======= Genesis 1:1 ============ Gen 1:1 In the beginning God created the heaven and the earth.(KJV-1611) Gen 1:1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:2 ============ Gen 1:2 And the earth was without form, and void; and darkness was upon the face of the deep. And the Spirit of God moved upon the face of the waters.(KJV-1611) Gen 1:2 Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.(Creole-HT) ======= Genesis 1:3 ============ Gen 1:3 And God said, Let there be light: and there was light.(KJV-1611) Gen 1:3 Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.(Creole-HT) ======= Genesis 1:4 ============ Gen 1:4 And God saw the light, that it was good: and God divided the light from the darkness.(KJV-1611) Gen 1:4 Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Genesis 1:5 ============ Gen 1:5 And God called the light Day, and the darkness he called Night. And the evening and the morning were the first day.(KJV-1611) Gen 1:5 Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:6 ============ Gen 1:6 And God said, Let there be a firmament in the midst of the waters, and let it divide the waters from the waters.(KJV-1611) Gen 1:6 Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.(Creole-HT) ======= Genesis 1:7 ============ Gen 1:7 And God made the firmament, and divided the waters which were under the firmament from the waters which were above the firmament: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:7 Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:8 ============ Gen 1:8 And God called the firmament Heaven. And the evening and the morning were the second day.(KJV-1611) Gen 1:8 Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:9 ============ Gen 1:9 And God said, Let the waters under the heaven be gathered together unto one place, and let the dry land appear: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:9 Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:10 ============ Gen 1:10 And God called the dry land Earth; and the gathering together of the waters called he Seas: and God saw that it was good.(KJV-1611) Gen 1:10 Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.(Creole-HT) ======= Genesis 1:11 ============ Gen 1:11 And God said, Let the earth bring forth grass, the herb yielding seed, and the fruit tree yielding fruit after his kind, whose seed is in itself, upon the earth: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:11 Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:12 ============ Gen 1:12 And the earth brought forth grass, and herb yielding seed after his kind, and the tree yielding fruit, whose seed was in itself, after his kind: and God saw that it was good.(KJV-1611) Gen 1:12 Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.(Creole-HT) ======= Genesis 1:13 ============ Gen 1:13 And the evening and the morning were the third day.(KJV-1611) Gen 1:13 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:14 ============ Gen 1:14 And God said, Let there be lights in the firmament of the heaven to divide the day from the night; and let them be for signs, and for seasons, and for days, and years:(KJV-1611) Gen 1:14 Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo.(Creole-HT) ======= Genesis 1:15 ============ Gen 1:15 And let them be for lights in the firmament of the heaven to give light upon the earth: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:15 Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:16 ============ Gen 1:16 And God made two great lights; the greater light to rule the day, and the lesser light to rule the night: he made the stars also.(KJV-1611) Gen 1:16 Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 1:17 ============ Gen 1:17 And God set them in the firmament of the heaven to give light upon the earth,(KJV-1611) Gen 1:17 Li mete yo nan syèl la pou klere latè a,(Creole-HT) ======= Genesis 1:18 ============ Gen 1:18 And to rule over the day and over the night, and to divide the light from the darkness: and God saw that it was good.(KJV-1611) Gen 1:18 pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.(Creole-HT) ======= Genesis 1:19 ============ Gen 1:19 And the evening and the morning were the fourth day.(KJV-1611) Gen 1:19 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:20 ============ Gen 1:20 And God said, Let the waters bring forth abundantly the moving creature that hath life, and fowl that may fly above the earth in the open firmament of heaven.(KJV-1611) Gen 1:20 Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:21 ============ Gen 1:21 And God created great whales, and every living creature that moveth, which the waters brought forth abundantly, after their kind, and every winged fowl after his kind: and God saw that it was good.(KJV-1611) Gen 1:21 Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon.(Creole-HT) ======= Genesis 1:22 ============ Gen 1:22 And God blessed them, saying, Be fruitful, and multiply, and fill the waters in the seas, and let fowl multiply in the earth.(KJV-1611) Gen 1:22 Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:23 ============ Gen 1:23 And the evening and the morning were the fifth day.(KJV-1611) Gen 1:23 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:24 ============ Gen 1:24 And God said, Let the earth bring forth the living creature after his kind, cattle, and creeping thing, and beast of the earth after his kind: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:24 Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:25 ============ Gen 1:25 And God made the beast of the earth after his kind, and cattle after their kind, and every thing that creepeth upon the earth after his kind: and God saw that it was good.(KJV-1611) Gen 1:25 Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.(Creole-HT) ======= Genesis 1:26 ============ Gen 1:26 And God said, Let us make man in our image, after our likeness: and let them have dominion over the fish of the sea, and over the fowl of the air, and over the cattle, and over all the earth, and over every creeping thing that creepeth upon the earth.(KJV-1611) Gen 1:26 Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:27 ============ Gen 1:27 So God created man in his own image, in the image of God created he him; male and female created he them.(KJV-1611) Gen 1:27 Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.(Creole-HT) ======= Genesis 1:28 ============ Gen 1:28 And God blessed them, and God said unto them, Be fruitful, and multiply, and replenish the earth, and subdue it: and have dominion over the fish of the sea, and over the fowl of the air, and over every living thing that moveth upon the earth.(KJV-1611) Gen 1:28 Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 1:29 ============ Gen 1:29 And God said, Behold, I have given you every herb bearing seed, which is upon the face of all the earth, and every tree, in the which is the fruit of a tree yielding seed; to you it shall be for meat.(KJV-1611) Gen 1:29 Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.(Creole-HT) ======= Genesis 1:30 ============ Gen 1:30 And to every beast of the earth, and to every fowl of the air, and to every thing that creepeth upon the earth, wherein there is life, I have given every green herb for meat: and it was so.(KJV-1611) Gen 1:30 Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 1:31 ============ Gen 1:31 And God saw every thing that he had made, and, behold, it was very good. And the evening and the morning were the sixth day.(KJV-1611) Gen 1:31 Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.(Creole-HT) ======= Genesis 2:1 ============ Gen 2:1 Thus the heavens and the earth were finished, and all the host of them.(KJV-1611) Gen 2:1 Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.(Creole-HT) ======= Genesis 2:2 ============ Gen 2:2 And on the seventh day God ended his work which he had made; and he rested on the seventh day from all his work which he had made.(KJV-1611) Gen 2:2 Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay.(Creole-HT) ======= Genesis 2:3 ============ Gen 2:3 And God blessed the seventh day, and sanctified it: because that in it he had rested from all his work which God created and made.(KJV-1611) Gen 2:3 Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.(Creole-HT) ======= Genesis 2:4 ============ Gen 2:4 These are the generations of the heavens and of the earth when they were created, in the day that the LORD God made the earth and the heavens,(KJV-1611) Gen 2:4 Se konsa sa te pase lè Bondye t'ap kreye syèl la ak latè a. Lè Seyè a, Bondye a, t'ap fè latè ansanm ak tou sa ki nan syèl la,(Creole-HT) ======= Genesis 2:5 ============ Gen 2:5 And every plant of the field before it was in the earth, and every herb of the field before it grew: for the LORD God had not caused it to rain upon the earth, and there was not a man to till the ground.(KJV-1611) Gen 2:5 pa t' gen yon ti pyebwa sou tè a. Ankenn zèb pa t' ankò pouse nan jaden, paske Bondye pa t' voye lapli tonbe sou tè a. Lèfini, pa t' gen moun pou travay latè.(Creole-HT) ======= Genesis 2:6 ============ Gen 2:6 But there went up a mist from the earth, and watered the whole face of the ground.(KJV-1611) Gen 2:6 Men, yon vapè dlo leve soti nan tè a, li wouze tout tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 2:7 ============ Gen 2:7 And the LORD God formed man of the dust of the ground, and breathed into his nostrils the breath of life; and man became a living soul.(KJV-1611) Gen 2:7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.(Creole-HT) ======= Genesis 2:8 ============ Gen 2:8 And the LORD God planted a garden eastward in Eden; and there he put the man whom he had formed.(KJV-1611) Gen 2:8 Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 2:9 ============ Gen 2:9 And out of the ground made the LORD God to grow every tree that is pleasant to the sight, and good for food; the tree of life also in the midst of the garden, and the tree of knowledge of good and evil.(KJV-1611) Gen 2:9 Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.(Creole-HT) ======= Genesis 2:10 ============ Gen 2:10 And a river went out of Eden to water the garden; and from thence it was parted, and became into four heads.(KJV-1611) Gen 2:10 Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch.(Creole-HT) ======= Genesis 2:11 ============ Gen 2:11 The name of the first is Pison: that is it which compasseth the whole land of Havilah, where there is gold;(KJV-1611) Gen 2:11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.(Creole-HT) ======= Genesis 2:12 ============ Gen 2:12 And the gold of that land is good: there is bdellium and the onyx stone.(KJV-1611) Gen 2:12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks.(Creole-HT) ======= Genesis 2:13 ============ Gen 2:13 And the name of the second river is Gihon: the same is it that compasseth the whole land of Ethiopia.(KJV-1611) Gen 2:13 Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la.(Creole-HT) ======= Genesis 2:14 ============ Gen 2:14 And the name of the third river is Hiddekel: that is it which goeth toward the east of Assyria. And the fourth river is Euphrates.(KJV-1611) Gen 2:14 Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.(Creole-HT) ======= Genesis 2:15 ============ Gen 2:15 And the LORD God took the man, and put him into the garden of Eden to dress it and to keep it.(KJV-1611) Gen 2:15 Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'.(Creole-HT) ======= Genesis 2:16 ============ Gen 2:16 And the LORD God commanded the man, saying, Of every tree of the garden thou mayest freely eat:(KJV-1611) Gen 2:16 Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.(Creole-HT) ======= Genesis 2:17 ============ Gen 2:17 But of the tree of the knowledge of good and evil, thou shalt not eat of it: for in the day that thou eatest thereof thou shalt surely die.(KJV-1611) Gen 2:17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 2:18 ============ Gen 2:18 And the LORD God said, It is not good that the man should be alone; I will make him an help meet for him.(KJV-1611) Gen 2:18 Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.(Creole-HT) ======= Genesis 2:19 ============ Gen 2:19 And out of the ground the LORD God formed every beast of the field, and every fowl of the air; and brought them unto Adam to see what he would call them: and whatsoever Adam called every living creature, that was the name thereof.(KJV-1611) Gen 2:19 Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 2:20 ============ Gen 2:20 And Adam gave names to all cattle, and to the fowl of the air, and to every beast of the field; but for Adam there was not found an help meet for him.(KJV-1611) Gen 2:20 Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t' gen yonn ki te sanble avè l', ki ta ka ede l'.(Creole-HT) ======= Genesis 2:21 ============ Gen 2:21 And the LORD God caused a deep sleep to fall upon Adam, and he slept: and he took one of his ribs, and closed up the flesh instead thereof;(KJV-1611) Gen 2:21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l'ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.(Creole-HT) ======= Genesis 2:22 ============ Gen 2:22 And the rib, which the LORD God had taken from man, made he a woman, and brought her unto the man.(KJV-1611) Gen 2:22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.(Creole-HT) ======= Genesis 2:23 ============ Gen 2:23 And Adam said, This is now bone of my bones, and flesh of my flesh: she shall be called Woman, because she was taken out of Man.(KJV-1611) Gen 2:23 Lè nonm lan wè l', li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m'! Zo l' se zo mwen. Chè l' se chè mwen. Y'a rele l' fanm, paske se nan gason li soti.(Creole-HT) ======= Genesis 2:24 ============ Gen 2:24 Therefore shall a man leave his father and his mother, and shall cleave unto his wife: and they shall be one flesh.(KJV-1611) Gen 2:24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.(Creole-HT) ======= Genesis 2:25 ============ Gen 2:25 And they were both naked, the man and his wife, and were not ashamed.(KJV-1611) Gen 2:25 Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t' wont rete konsa.(Creole-HT) ======= Genesis 3:1 ============ Gen 3:1 Now the serpent was more subtil than any beast of the field which the LORD God had made. And he said unto the woman, Yea, hath God said, Ye shall not eat of every tree of the garden?(KJV-1611) Gen 3:1 Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?(Creole-HT) ======= Genesis 3:2 ============ Gen 3:2 And the woman said unto the serpent, We may eat of the fruit of the trees of the garden:(KJV-1611) Gen 3:2 Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.(Creole-HT) ======= Genesis 3:3 ============ Gen 3:3 But of the fruit of the tree which is in the midst of the garden, God hath said, Ye shall not eat of it, neither shall ye touch it, lest ye die.(KJV-1611) Gen 3:3 Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l', piga nou manyen l' menm. Sinon, n'ap mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 3:4 ============ Gen 3:4 And the serpent said unto the woman, Ye shall not surely die:(KJV-1611) Gen 3:4 Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.(Creole-HT) ======= Genesis 3:5 ============ Gen 3:5 For God doth know that in the day ye eat thereof, then your eyes shall be opened, and ye shall be as gods, knowing good and evil.(KJV-1611) Gen 3:5 Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l', je nou va louvri. n'a vin tankou Bondye, n'a konn sa ki byen ak sa ki mal.(Creole-HT) ======= Genesis 3:6 ============ Gen 3:6 And when the woman saw that the tree was good for food, and that it was pleasant to the eyes, and a tree to be desired to make one wise, she took of the fruit thereof, and did eat, and gave also unto her husband with her; and he did eat.(KJV-1611) Gen 3:6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.(Creole-HT) ======= Genesis 3:7 ============ Gen 3:7 And the eyes of them both were opened, and they knew that they were naked; and they sewed fig leaves together, and made themselves aprons.(KJV-1611) Gen 3:7 Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 3:8 ============ Gen 3:8 And they heard the voice of the LORD God walking in the garden in the cool of the day: and Adam and his wife hid themselves from the presence of the LORD God amongst the trees of the garden.(KJV-1611) Gen 3:8 Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.(Creole-HT) ======= Genesis 3:9 ============ Gen 3:9 And the LORD God called unto Adam, and said unto him, Where art thou?(KJV-1611) Gen 3:9 Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l'. Kote ou ye?(Creole-HT) ======= Genesis 3:10 ============ Gen 3:10 And he said, I heard thy voice in the garden, and I was afraid, because I was naked; and I hid myself.(KJV-1611) Gen 3:10 Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.(Creole-HT) ======= Genesis 3:11 ============ Gen 3:11 And he said, Who told thee that thou wast naked? Hast thou eaten of the tree, whereof I commanded thee that thou shouldest not eat?(KJV-1611) Gen 3:11 Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?(Creole-HT) ======= Genesis 3:12 ============ Gen 3:12 And the man said, The woman whom thou gavest to be with me, she gave me of the tree, and I did eat.(KJV-1611) Gen 3:12 Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.(Creole-HT) ======= Genesis 3:13 ============ Gen 3:13 And the LORD God said unto the woman, What is this that thou hast done? And the woman said, The serpent beguiled me, and I did eat.(KJV-1611) Gen 3:13 Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.(Creole-HT) ======= Genesis 3:14 ============ Gen 3:14 And the LORD God said unto the serpent, Because thou hast done this, thou art cursed above all cattle, and above every beast of the field; upon thy belly shalt thou go, and dust shalt thou eat all the days of thy life:(KJV-1611) Gen 3:14 Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 3:15 ============ Gen 3:15 And I will put enmity between thee and the woman, and between thy seed and her seed; it shall bruise thy head, and thou shalt bruise his heel.(KJV-1611) Gen 3:15 Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.(Creole-HT) ======= Genesis 3:16 ============ Gen 3:16 Unto the woman he said, I will greatly multiply thy sorrow and thy conception; in sorrow thou shalt bring forth children; and thy desire shall be to thy husband, and he shall rule over thee.(KJV-1611) Gen 3:16 Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.(Creole-HT) ======= Genesis 3:17 ============ Gen 3:17 And unto Adam he said, Because thou hast hearkened unto the voice of thy wife, and hast eaten of the tree, of which I commanded thee, saying, Thou shalt not eat of it: cursed is the ground for thy sake; in sorrow shalt thou eat of it all the days of thy life;(KJV-1611) Gen 3:17 Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.(Creole-HT) ======= Genesis 3:18 ============ Gen 3:18 Thorns also and thistles shall it bring forth to thee; and thou shalt eat the herb of the field;(KJV-1611) Gen 3:18 Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje.(Creole-HT) ======= Genesis 3:19 ============ Gen 3:19 In the sweat of thy face shalt thou eat bread, till thou return unto the ground; for out of it wast thou taken: for dust thou art, and unto dust shalt thou return.(KJV-1611) Gen 3:19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 3:20 ============ Gen 3:20 And Adam called his wife's name Eve; because she was the mother of all living.(KJV-1611) Gen 3:20 Adan bay madanm li non, li rele l' Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 3:21 ============ Gen 3:21 Unto Adam also and to his wife did the LORD God make coats of skins, and clothed them.(KJV-1611) Gen 3:21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.(Creole-HT) ======= Genesis 3:22 ============ Gen 3:22 And the LORD God said, Behold, the man is become as one of us, to know good and evil: and now, lest he put forth his hand, and take also of the tree of life, and eat, and live for ever:(KJV-1611) Gen 3:22 Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p'ap kite l' lonje men l' keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l' manje l', pou l' pa viv pou tout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 3:23 ============ Gen 3:23 Therefore the LORD God sent him forth from the garden of Eden, to till the ground from whence he was taken.(KJV-1611) Gen 3:23 Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 3:24 ============ Gen 3:24 So he drove out the man; and he placed at the east of the garden of Eden Cherubims, and a flaming sword which turned every way, to keep the way of the tree of life.(KJV-1611) Gen 3:24 Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.(Creole-HT) ======= Genesis 4:1 ============ Gen 4:1 And Adam knew Eve his wife; and she conceived, and bare Cain, and said, I have gotten a man from the LORD.(KJV-1611) Gen 4:1 Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l' Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.(Creole-HT) ======= Genesis 4:2 ============ Gen 4:2 And she again bare his brother Abel. And Abel was a keeper of sheep, but Cain was a tiller of the ground.(KJV-1611) Gen 4:2 Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.(Creole-HT) ======= Genesis 4:3 ============ Gen 4:3 And in process of time it came to pass, that Cain brought of the fruit of the ground an offering unto the LORD.(KJV-1611) Gen 4:3 Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.(Creole-HT) ======= Genesis 4:4 ============ Gen 4:4 And Abel, he also brought of the firstlings of his flock and of the fat thereof. And the LORD had respect unto Abel and to his offering:(KJV-1611) Gen 4:4 Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 4:5 ============ Gen 4:5 But unto Cain and to his offering he had not respect. And Cain was very wroth, and his countenance fell.(KJV-1611) Gen 4:5 Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare.(Creole-HT) ======= Genesis 4:6 ============ Gen 4:6 And the LORD said unto Cain, Why art thou wroth? and why is thy countenance fallen?(KJV-1611) Gen 4:6 Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa?(Creole-HT) ======= Genesis 4:7 ============ Gen 4:7 If thou doest well, shalt thou not be accepted? and if thou doest not well, sin lieth at the door. And unto thee shall be his desire, and thou shalt rule over him.(KJV-1611) Gen 4:7 Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L'ap tann konsa lè pou l' pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.(Creole-HT) ======= Genesis 4:8 ============ Gen 4:8 And Cain talked with Abel his brother: and it came to pass, when they were in the field, that Cain rose up against Abel his brother, and slew him.(KJV-1611) Gen 4:8 Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li.(Creole-HT) ======= Genesis 4:9 ============ Gen 4:9 And the LORD said unto Cain, Where is Abel thy brother? And he said, I know not: Am I my brother's keeper?(KJV-1611) Gen 4:9 Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m' veye l'?(Creole-HT) ======= Genesis 4:10 ============ Gen 4:10 And he said, What hast thou done? the voice of thy brother's blood crieth unto me from the ground.(KJV-1611) Gen 4:10 Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.(Creole-HT) ======= Genesis 4:11 ============ Gen 4:11 And now art thou cursed from the earth, which hath opened her mouth to receive thy brother's blood from thy hand;(KJV-1611) Gen 4:11 Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 4:12 ============ Gen 4:12 When thou tillest the ground, it shall not henceforth yield unto thee her strength; a fugitive and a vagabond shalt thou be in the earth.(KJV-1611) Gen 4:12 Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. W'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete.(Creole-HT) ======= Genesis 4:13 ============ Gen 4:13 And Cain said unto the LORD, My punishment is greater than I can bear.(KJV-1611) Gen 4:13 Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p'ap ka sipòte l'.(Creole-HT) ======= Genesis 4:14 ============ Gen 4:14 Behold, thou hast driven me out this day from the face of the earth; and from thy face shall I be hid; and I shall be a fugitive and a vagabond in the earth; and it shall come to pass, that every one that findeth me shall slay me.(KJV-1611) Gen 4:14 Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.(Creole-HT) ======= Genesis 4:15 ============ Gen 4:15 And the LORD said unto him, Therefore whosoever slayeth Cain, vengeance shall be taken on him sevenfold. And the LORD set a mark upon Cain, lest any finding him should kill him.(KJV-1611) Gen 4:15 Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l' si yo jwenn li.(Creole-HT) ======= Genesis 4:16 ============ Gen 4:16 And Cain went out from the presence of the LORD, and dwelt in the land of Nod, on the east of Eden.(KJV-1611) Gen 4:16 Apre sa, Kayen wete kò l' devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.(Creole-HT) ======= Genesis 4:17 ============ Gen 4:17 And Cain knew his wife; and she conceived, and bare Enoch: and he builded a city, and called the name of the city, after the name of his son, Enoch.(KJV-1611) Gen 4:17 Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l' Enòk. Li ba l' menm non ak pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 4:18 ============ Gen 4:18 And unto Enoch was born Irad: and Irad begat Mehujael: and Mehujael begat Methusael: and Methusael begat Lamech.(KJV-1611) Gen 4:18 Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.(Creole-HT) ======= Genesis 4:19 ============ Gen 4:19 And Lamech took unto him two wives: the name of the one was Adah, and the name of the other Zillah.(KJV-1611) Gen 4:19 Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila.(Creole-HT) ======= Genesis 4:20 ============ Gen 4:20 And Adah bare Jabal: he was the father of such as dwell in tents, and of such as have cattle.(KJV-1611) Gen 4:20 Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.(Creole-HT) ======= Genesis 4:21 ============ Gen 4:21 And his brother's name was Jubal: he was the father of all such as handle the harp and organ.(KJV-1611) Gen 4:21 Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k'ap jwe gita ak fif.(Creole-HT) ======= Genesis 4:22 ============ Gen 4:22 And Zillah, she also bare Tubalcain, an instructer of every artificer in brass and iron: and the sister of Tubalcain was Naamah.(KJV-1611) Gen 4:22 Zila menm bò pa l' te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.(Creole-HT) ======= Genesis 4:23 ============ Gen 4:23 And Lamech said unto his wives, Adah and Zillah, Hear my voice; ye wives of Lamech, hearken unto my speech: for I have slain a man to my wounding, and a young man to my hurt.(KJV-1611) Gen 4:23 Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m'ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m'ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m' deyò.(Creole-HT) ======= Genesis 4:24 ============ Gen 4:24 If Cain shall be avenged sevenfold, truly Lamech seventy and sevenfold.(KJV-1611) Gen 4:24 Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa.(Creole-HT) ======= Genesis 4:25 ============ Gen 4:25 And Adam knew his wife again; and she bare a son, and called his name Seth: For God, said she, hath appointed me another seed instead of Abel, whom Cain slew.(KJV-1611) Gen 4:25 Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m' yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l' Sèt.(Creole-HT) ======= Genesis 4:26 ============ Gen 4:26 And to Seth, to him also there was born a son; and he called his name Enos: then began men to call upon the name of the LORD.(KJV-1611) Gen 4:26 Sèt, pou tèt pa l', vin gen yon pitit gason, li rele l' Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 5:1 ============ Gen 5:1 This is the book of the generations of Adam. In the day that God created man, in the likeness of God made he him;(KJV-1611) Gen 5:1 Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 5:2 ============ Gen 5:2 Male and female created he them; and blessed them, and called their name Adam, in the day when they were created.(KJV-1611) Gen 5:2 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.(Creole-HT) ======= Genesis 5:3 ============ Gen 5:3 And Adam lived an hundred and thirty years, and begat a son in his own likeness, and after his image; and called his name Seth:(KJV-1611) Gen 5:3 Adan te gen santrantan lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tèt koupe, li rele l' Sèt.(Creole-HT) ======= Genesis 5:4 ============ Gen 5:4 And the days of Adam after he had begotten Seth were eight hundred years: and he begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:4 Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:5 ============ Gen 5:5 And all the days that Adam lived were nine hundred and thirty years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:5 Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:6 ============ Gen 5:6 And Seth lived an hundred and five years, and begat Enos:(KJV-1611) Gen 5:6 Sèt te gen sansenkan lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.(Creole-HT) ======= Genesis 5:7 ============ Gen 5:7 And Seth lived after he begat Enos eight hundred and seven years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:7 Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:8 ============ Gen 5:8 And all the days of Seth were nine hundred and twelve years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:8 Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:9 ============ Gen 5:9 And Enos lived ninety years, and begat Cainan:(KJV-1611) Gen 5:9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.(Creole-HT) ======= Genesis 5:10 ============ Gen 5:10 And Enos lived after he begat Cainan eight hundred and fifteen years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:11 ============ Gen 5:11 And all the days of Enos were nine hundred and five years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:12 ============ Gen 5:12 And Cainan lived seventy years and begat Mahalaleel:(KJV-1611) Gen 5:12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.(Creole-HT) ======= Genesis 5:13 ============ Gen 5:13 And Cainan lived after he begat Mahalaleel eight hundred and forty years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:14 ============ Gen 5:14 And all the days of Cainan were nine hundred and ten years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:15 ============ Gen 5:15 And Mahalaleel lived sixty and five years, and begat Jared:(KJV-1611) Gen 5:15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.(Creole-HT) ======= Genesis 5:16 ============ Gen 5:16 And Mahalaleel lived after he begat Jared eight hundred and thirty years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:17 ============ Gen 5:17 And all the days of Mahalaleel were eight hundred ninety and five years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:18 ============ Gen 5:18 And Jared lived an hundred sixty and two years, and he begat Enoch:(KJV-1611) Gen 5:18 Jerèd te gen sanswanndezan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.(Creole-HT) ======= Genesis 5:19 ============ Gen 5:19 And Jared lived after he begat Enoch eight hundred years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:20 ============ Gen 5:20 And all the days of Jared were nine hundred sixty and two years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:21 ============ Gen 5:21 And Enoch lived sixty and five years, and begat Methuselah:(KJV-1611) Gen 5:21 Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.(Creole-HT) ======= Genesis 5:22 ============ Gen 5:22 And Enoch walked with God after he begat Methuselah three hundred years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:23 ============ Gen 5:23 And all the days of Enoch were three hundred sixty and five years:(KJV-1611) Gen 5:23 (Creole-HT) ======= Genesis 5:24 ============ Gen 5:24 And Enoch walked with God: and he was not; for God took him.(KJV-1611) Gen 5:24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 5:25 ============ Gen 5:25 And Methuselah lived an hundred eighty and seven years, and begat Lamech.(KJV-1611) Gen 5:25 Metouchela te gen sankatrevensètan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.(Creole-HT) ======= Genesis 5:26 ============ Gen 5:26 And Methuselah lived after he begat Lamech seven hundred eighty and two years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:27 ============ Gen 5:27 And all the days of Methuselah were nine hundred sixty and nine years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:28 ============ Gen 5:28 And Lamech lived an hundred eighty and two years, and begat a son:(KJV-1611) Gen 5:28 Lemèk te gen sankatrevendezan lè li vin gen yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Genesis 5:29 ============ Gen 5:29 And he called his name Noah, saying, This same shall comfort us concerning our work and toil of our hands, because of the ground which the LORD hath cursed.(KJV-1611) Gen 5:29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 5:30 ============ Gen 5:30 And Lamech lived after he begat Noah five hundred ninety and five years, and begat sons and daughters:(KJV-1611) Gen 5:30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan . Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 5:31 ============ Gen 5:31 And all the days of Lamech were seven hundred seventy and seven years: and he died.(KJV-1611) Gen 5:31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan .(Creole-HT) ======= Genesis 5:32 ============ Gen 5:32 And Noah was five hundred years old: and Noah begat Shem, Ham, and Japheth.(KJV-1611) Gen 5:32 Noe te gen senksanzan lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.(Creole-HT) ======= Genesis 6:1 ============ Gen 6:1 And it came to pass, when men began to multiply on the face of the earth, and daughters were born unto them,(KJV-1611) Gen 6:1 Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 6:2 ============ Gen 6:2 That the sons of God saw the daughters of men that they were fair; and they took them wives of all which they chose.(KJV-1611) Gen 6:2 Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:3 ============ Gen 6:3 And the LORD said, My spirit shall not always strive with man, for that he also is flesh: yet his days shall be an hundred and twenty years.(KJV-1611) Gen 6:3 Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan sèlman pou yo viv.(Creole-HT) ======= Genesis 6:4 ============ Gen 6:4 There were giants in the earth in those days; and also after that, when the sons of God came in unto the daughters of men, and they bare children to them, the same became mighty men which were of old, men of renown.(KJV-1611) Gen 6:4 Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:5 ============ Gen 6:5 And God saw that the wickedness of man was great in the earth, and that every imagination of the thoughts of his heart was only evil continually.(KJV-1611) Gen 6:5 Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:6 ============ Gen 6:6 And it repented the LORD that he had made man on the earth, and it grieved him at his heart.(KJV-1611) Gen 6:6 Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn.(Creole-HT) ======= Genesis 6:7 ============ Gen 6:7 And the LORD said, I will destroy man whom I have created from the face of the earth; both man, and beast, and the creeping thing, and the fowls of the air; for it repenteth me that I have made them.(KJV-1611) Gen 6:7 Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:8 ============ Gen 6:8 But Noah found grace in the eyes of the LORD.(KJV-1611) Gen 6:8 Men, Noe te fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= Genesis 6:9 ============ Gen 6:9 These are the generations of Noah: Noah was a just man and perfect in his generations, and Noah walked with God.(KJV-1611) Gen 6:9 Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.(Creole-HT) ======= Genesis 6:10 ============ Gen 6:10 And Noah begat three sons, Shem, Ham, and Japheth.(KJV-1611) Gen 6:10 Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.(Creole-HT) ======= Genesis 6:11 ============ Gen 6:11 The earth also was corrupt before God, and the earth was filled with violence.(KJV-1611) Gen 6:11 Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.(Creole-HT) ======= Genesis 6:12 ============ Gen 6:12 And God looked upon the earth, and, behold, it was corrupt; for all flesh had corrupted his way upon the earth.(KJV-1611) Gen 6:12 Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.(Creole-HT) ======= Genesis 6:13 ============ Gen 6:13 And God said unto Noah, The end of all flesh is come before me; for the earth is filled with violence through them; and, behold, I will destroy them with the earth.(KJV-1611) Gen 6:13 Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 6:14 ============ Gen 6:14 Make thee an ark of gopher wood; rooms shalt thou make in the ark, and shalt pitch it within and without with pitch.(KJV-1611) Gen 6:14 Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon.(Creole-HT) ======= Genesis 6:15 ============ Gen 6:15 And this is the fashion which thou shalt make it of: The length of the ark shall be three hundred cubits, the breadth of it fifty cubits, and the height of it thirty cubits.(KJV-1611) Gen 6:15 Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè.(Creole-HT) ======= Genesis 6:16 ============ Gen 6:16 A window shalt thou make to the ark, and in a cubit shalt thou finish it above; and the door of the ark shalt thou set in the side thereof; with lower, second, and third stories shalt thou make it.(KJV-1611) Gen 6:16 W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:17 ============ Gen 6:17 And, behold, I, even I, do bring a flood of waters upon the earth, to destroy all flesh, wherein is the breath of life, from under heaven; and every thing that is in the earth shall die.(KJV-1611) Gen 6:17 Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.(Creole-HT) ======= Genesis 6:18 ============ Gen 6:18 But with thee will I establish my covenant; and thou shalt come into the ark, thou, and thy sons, and thy wife, and thy sons' wives with thee.(KJV-1611) Gen 6:18 Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 6:19 ============ Gen 6:19 And of every living thing of all flesh, two of every sort shalt thou bring into the ark, to keep them alive with thee; they shall be male and female.(KJV-1611) Gen 6:19 W'a pran avèk ou tout yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 6:20 ============ Gen 6:20 Of fowls after their kind, and of cattle after their kind, of every creeping thing of the earth after his kind, two of every sort shall come unto thee, to keep them alive.(KJV-1611) Gen 6:20 Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 6:21 ============ Gen 6:21 And take thou unto thee of all food that is eaten, and thou shalt gather it to thee; and it shall be for food for thee, and for them.(KJV-1611) Gen 6:21 Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 6:22 ============ Gen 6:22 Thus did Noah; according to all that God commanded him, so did he.(KJV-1611) Gen 6:22 Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:1 ============ Gen 7:1 And the LORD said unto Noah, Come thou and all thy house into the ark; for thee have I seen righteous before me in this generation.(KJV-1611) Gen 7:1 Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 7:2 ============ Gen 7:2 Of every clean beast thou shalt take to thee by sevens, the male and his female: and of beasts that are not clean by two, the male and his female.(KJV-1611) Gen 7:2 Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite.(Creole-HT) ======= Genesis 7:3 ============ Gen 7:3 Of fowls also of the air by sevens, the male and the female; to keep seed alive upon the face of all the earth.(KJV-1611) Gen 7:3 Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:4 ============ Gen 7:4 For yet seven days, and I will cause it to rain upon the earth forty days and forty nights; and every living substance that I have made will I destroy from off the face of the earth.(KJV-1611) Gen 7:4 Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:5 ============ Gen 7:5 And Noah did according unto all that the LORD commanded him.(KJV-1611) Gen 7:5 Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 7:6 ============ Gen 7:6 And Noah was six hundred years old when the flood of waters was upon the earth.(KJV-1611) Gen 7:6 Noe te gen sisanzan lè inondasyon an te fèt sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:7 ============ Gen 7:7 And Noah went in, and his sons, and his wife, and his sons' wives with him, into the ark, because of the waters of the flood.(KJV-1611) Gen 7:7 Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an.(Creole-HT) ======= Genesis 7:8 ============ Gen 7:8 Of clean beasts, and of beasts that are not clean, and of fowls, and of every thing that creepeth upon the earth,(KJV-1611) Gen 7:8 tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant,(Creole-HT) ======= Genesis 7:9 ============ Gen 7:9 There went in two and two unto Noah into the ark, the male and the female, as God had commanded Noah.(KJV-1611) Gen 7:9 yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la.(Creole-HT) ======= Genesis 7:10 ============ Gen 7:10 And it came to pass after seven days, that the waters of the flood were upon the earth.(KJV-1611) Gen 7:10 Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:11 ============ Gen 7:11 In the six hundredth year of Noah's life, in the second month, the seventeenth day of the month, the same day were all the fountains of the great deep broken up, and the windows of heaven were opened.(KJV-1611) Gen 7:11 Jou ki fè Noe sisanzan , yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 7:12 ============ Gen 7:12 And the rain was upon the earth forty days and forty nights.(KJV-1611) Gen 7:12 Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit.(Creole-HT) ======= Genesis 7:13 ============ Gen 7:13 In the selfsame day entered Noah, and Shem, and Ham, and Japheth, the sons of Noah, and Noah's wife, and the three wives of his sons with them, into the ark;(KJV-1611) Gen 7:13 Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,(Creole-HT) ======= Genesis 7:14 ============ Gen 7:14 They, and every beast after his kind, and all the cattle after their kind, and every creeping thing that creepeth upon the earth after his kind, and every fowl after his kind, every bird of every sort.(KJV-1611) Gen 7:14 ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl.(Creole-HT) ======= Genesis 7:15 ============ Gen 7:15 And they went in unto Noah into the ark, two and two of all flesh, wherein is the breath of life.(KJV-1611) Gen 7:15 Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:16 ============ Gen 7:16 And they that went in, went in male and female of all flesh, as God had commanded him: and the LORD shut him in.(KJV-1611) Gen 7:16 Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe.(Creole-HT) ======= Genesis 7:17 ============ Gen 7:17 And the flood was forty days upon the earth; and the waters increased, and bare up the ark, and it was lift up above the earth.(KJV-1611) Gen 7:17 Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.(Creole-HT) ======= Genesis 7:18 ============ Gen 7:18 And the waters prevailed, and were increased greatly upon the earth; and the ark went upon the face of the waters.(KJV-1611) Gen 7:18 Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a.(Creole-HT) ======= Genesis 7:19 ============ Gen 7:19 And the waters prevailed exceedingly upon the earth; and all the high hills, that were under the whole heaven, were covered.(KJV-1611) Gen 7:19 Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 7:20 ============ Gen 7:20 Fifteen cubits upward did the waters prevail; and the mountains were covered.(KJV-1611) Gen 7:20 Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo.(Creole-HT) ======= Genesis 7:21 ============ Gen 7:21 And all flesh died that moved upon the earth, both of fowl, and of cattle, and of beast, and of every creeping thing that creepeth upon the earth, and every man:(KJV-1611) Gen 7:21 Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun.(Creole-HT) ======= Genesis 7:22 ============ Gen 7:22 All in whose nostrils was the breath of life, of all that was in the dry land, died.(KJV-1611) Gen 7:22 tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 7:23 ============ Gen 7:23 And every living substance was destroyed which was upon the face of the ground, both man, and cattle, and the creeping things, and the fowl of the heaven; and they were destroyed from the earth: and Noah only remained alive, and they that were with him in the ark.(KJV-1611) Gen 7:23 Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 7:24 ============ Gen 7:24 And the waters prevailed upon the earth an hundred and fifty days.(KJV-1611) Gen 7:24 Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant jou.(Creole-HT) ======= Genesis 8:1 ============ Gen 8:1 And God remembered Noah, and every living thing, and all the cattle that was with him in the ark: and God made a wind to pass over the earth, and the waters asswaged;(KJV-1611) Gen 8:1 Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l' nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.(Creole-HT) ======= Genesis 8:2 ============ Gen 8:2 The fountains also of the deep and the windows of heaven were stopped, and the rain from heaven was restrained;(KJV-1611) Gen 8:2 Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe.(Creole-HT) ======= Genesis 8:3 ============ Gen 8:3 And the waters returned from off the earth continually: and after the end of the hundred and fifty days the waters were abated.(KJV-1611) Gen 8:3 Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant jou dlo yo te konmanse bese.(Creole-HT) ======= Genesis 8:4 ============ Gen 8:4 And the ark rested in the seventh month, on the seventeenth day of the month, upon the mountains of Ararat.(KJV-1611) Gen 8:4 Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo.(Creole-HT) ======= Genesis 8:5 ============ Gen 8:5 And the waters decreased continually until the tenth month: in the tenth month, on the first day of the month, were the tops of the mountains seen.(KJV-1611) Gen 8:5 Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.(Creole-HT) ======= Genesis 8:6 ============ Gen 8:6 And it came to pass at the end of forty days, that Noah opened the window of the ark which he had made:(KJV-1611) Gen 8:6 Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an.(Creole-HT) ======= Genesis 8:7 ============ Gen 8:7 And he sent forth a raven, which went forth to and fro, until the waters were dried up from off the earth.(KJV-1611) Gen 8:7 Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 8:8 ============ Gen 8:8 Also he sent forth a dove from him, to see if the waters were abated from off the face of the ground;(KJV-1611) Gen 8:8 Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wè si dlo a te fin bese sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 8:9 ============ Gen 8:9 But the dove found no rest for the sole of her foot, and she returned unto him into the ark, for the waters were on the face of the whole earth: then he put forth his hand, and took her, and pulled her in unto him into the ark.(KJV-1611) Gen 8:9 Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fè l' antre nan batiman an ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 8:10 ============ Gen 8:10 And he stayed yet other seven days; and again he sent forth the dove out of the ark;(KJV-1611) Gen 8:10 Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l' soti nan batiman an.(Creole-HT) ======= Genesis 8:11 ============ Gen 8:11 And the dove came in to him in the evening; and, lo, in her mouth was an olive leaf pluckt off: so Noah knew that the waters were abated from off the earth.(KJV-1611) Gen 8:11 Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.(Creole-HT) ======= Genesis 8:12 ============ Gen 8:12 And he stayed yet other seven days; and sent forth the dove; which returned not again unto him any more.(KJV-1611) Gen 8:12 Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 8:13 ============ Gen 8:13 And it came to pass in the six hundredth and first year, in the first month, the first day of the month, the waters were dried up from off the earth: and Noah removed the covering of the ark, and looked, and, behold, the face of the ground was dry.(KJV-1611) Gen 8:13 Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan , nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wè tout tè a te chèch.(Creole-HT) ======= Genesis 8:14 ============ Gen 8:14 And in the second month, on the seven and twentieth day of the month, was the earth dried.(KJV-1611) Gen 8:14 Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 8:15 ============ Gen 8:15 And God spake unto Noah, saying,(KJV-1611) Gen 8:15 Lè sa a, Bondye di Noe:(Creole-HT) ======= Genesis 8:16 ============ Gen 8:16 Go forth of the ark, thou, and thy wife, and thy sons, and thy sons' wives with thee.(KJV-1611) Gen 8:16 -Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 8:17 ============ Gen 8:17 Bring forth with thee every living thing that is with thee, of all flesh, both of fowl, and of cattle, and of every creeping thing that creepeth upon the earth; that they may breed abundantly in the earth, and be fruitful, and multiply upon the earth.(KJV-1611) Gen 8:17 Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 8:18 ============ Gen 8:18 And Noah went forth, and his sons, and his wife, and his sons' wives with him:(KJV-1611) Gen 8:18 Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 8:19 ============ Gen 8:19 Every beast, every creeping thing, and every fowl, and whatsoever creepeth upon the earth, after their kinds, went forth out of the ark.(KJV-1611) Gen 8:19 tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.(Creole-HT) ======= Genesis 8:20 ============ Gen 8:20 And Noah builded an altar unto the LORD; and took of every clean beast, and of every clean fowl, and offered burnt offerings on the altar.(KJV-1611) Gen 8:20 Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 8:21 ============ Gen 8:21 And the LORD smelled a sweet savour; and the LORD said in his heart, I will not again curse the ground any more for man's sake; for the imagination of man's heart is evil from his youth; neither will I again smite any more every thing living, as I have done.(KJV-1611) Gen 8:21 Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 8:22 ============ Gen 8:22 While the earth remaineth, seedtime and harvest, and cold and heat, and summer and winter, and day and night shall not cease.(KJV-1611) Gen 8:22 Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.(Creole-HT) ======= Genesis 9:1 ============ Gen 9:1 And God blessed Noah and his sons, and said unto them, Be fruitful, and multiply, and replenish the earth.(KJV-1611) Gen 9:1 Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 9:2 ============ Gen 9:2 And the fear of you and the dread of you shall be upon every beast of the earth, and upon every fowl of the air, upon all that moveth upon the earth, and upon all the fishes of the sea; into your hand are they delivered.(KJV-1611) Gen 9:2 Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.(Creole-HT) ======= Genesis 9:3 ============ Gen 9:3 Every moving thing that liveth shall be meat for you; even as the green herb have I given you all things.(KJV-1611) Gen 9:3 Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.(Creole-HT) ======= Genesis 9:4 ============ Gen 9:4 But flesh with the life thereof, which is the blood thereof, shall ye not eat.(KJV-1611) Gen 9:4 Tansèlman, se pa pou n' manje vyann ak tout san ladan l', paske san yon bèt se nanm li.(Creole-HT) ======= Genesis 9:5 ============ Gen 9:5 And surely your blood of your lives will I require; at the hand of every beast will I require it, and at the hand of man; at the hand of every man's brother will I require the life of man.(KJV-1611) Gen 9:5 Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.(Creole-HT) ======= Genesis 9:6 ============ Gen 9:6 Whoso sheddeth man's blood, by man shall his blood be shed: for in the image of God made he man.(KJV-1611) Gen 9:6 Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.(Creole-HT) ======= Genesis 9:7 ============ Gen 9:7 And you, be ye fruitful, and multiply; bring forth abundantly in the earth, and multiply therein.(KJV-1611) Gen 9:7 Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.(Creole-HT) ======= Genesis 9:8 ============ Gen 9:8 And God spake unto Noah, and to his sons with him, saying,(KJV-1611) Gen 9:8 Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:(Creole-HT) ======= Genesis 9:9 ============ Gen 9:9 And I, behold, I establish my covenant with you, and with your seed after you;(KJV-1611) Gen 9:9 -Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 9:10 ============ Gen 9:10 And with every living creature that is with you, of the fowl, of the cattle, and of every beast of the earth with you; from all that go out of the ark, to every beast of the earth.(KJV-1611) Gen 9:10 M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 9:11 ============ Gen 9:11 And I will establish my covenant with you, neither shall all flesh be cut off any more by the waters of a flood; neither shall there any more be a flood to destroy the earth.(KJV-1611) Gen 9:11 Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.(Creole-HT) ======= Genesis 9:12 ============ Gen 9:12 And God said, This is the token of the covenant which I make between me and you and every living creature that is with you, for perpetual generations:(KJV-1611) Gen 9:12 Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 9:13 ============ Gen 9:13 I do set my bow in the cloud, and it shall be for a token of a covenant between me and the earth.(KJV-1611) Gen 9:13 M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.(Creole-HT) ======= Genesis 9:14 ============ Gen 9:14 And it shall come to pass, when I bring a cloud over the earth, that the bow shall be seen in the cloud:(KJV-1611) Gen 9:14 Chak fwa m'a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 9:15 ============ Gen 9:15 And I will remember my covenant, which is between me and you and every living creature of all flesh; and the waters shall no more become a flood to destroy all flesh.(KJV-1611) Gen 9:15 Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 9:16 ============ Gen 9:16 And the bow shall be in the cloud; and I will look upon it, that I may remember the everlasting covenant between God and every living creature of all flesh that is upon the earth.(KJV-1611) Gen 9:16 Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 9:17 ============ Gen 9:17 And God said unto Noah, This is the token of the covenant, which I have established between me and all flesh that is upon the earth.(KJV-1611) Gen 9:17 Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k'ap viv sou latè. Se konsa Bondye te pale ak Noe.(Creole-HT) ======= Genesis 9:18 ============ Gen 9:18 And the sons of Noah, that went forth of the ark, were Shem, and Ham, and Japheth: and Ham is the father of Canaan.(KJV-1611) Gen 9:18 Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 9:19 ============ Gen 9:19 These are the three sons of Noah: and of them was the whole earth overspread.(KJV-1611) Gen 9:19 Se twa pitit Noe sa yo ki peple mete moun sou tout latè.(Creole-HT) ======= Genesis 9:20 ============ Gen 9:20 And Noah began to be an husbandman, and he planted a vineyard:(KJV-1611) Gen 9:20 Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen.(Creole-HT) ======= Genesis 9:21 ============ Gen 9:21 And he drank of the wine, and was drunken; and he was uncovered within his tent.(KJV-1611) Gen 9:21 Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li.(Creole-HT) ======= Genesis 9:22 ============ Gen 9:22 And Ham, the father of Canaan, saw the nakedness of his father, and told his two brethren without.(KJV-1611) Gen 9:22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.(Creole-HT) ======= Genesis 9:23 ============ Gen 9:23 And Shem and Japheth took a garment, and laid it upon both their shoulders, and went backward, and covered the nakedness of their father; and their faces were backward, and they saw not their father's nakedness.(KJV-1611) Gen 9:23 Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.(Creole-HT) ======= Genesis 9:24 ============ Gen 9:24 And Noah awoke from his wine, and knew what his younger son had done unto him.(KJV-1611) Gen 9:24 Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 9:25 ============ Gen 9:25 And he said, Cursed be Canaan; a servant of servants shall he be unto his brethren.(KJV-1611) Gen 9:25 Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 9:26 ============ Gen 9:26 And he said, Blessed be the LORD God of Shem; and Canaan shall be his servant.(KJV-1611) Gen 9:26 Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.(Creole-HT) ======= Genesis 9:27 ============ Gen 9:27 God shall enlarge Japheth, and he shall dwell in the tents of Shem; and Canaan shall be his servant.(KJV-1611) Gen 9:27 Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.(Creole-HT) ======= Genesis 9:28 ============ Gen 9:28 And Noah lived after the flood three hundred and fifty years.(KJV-1611) Gen 9:28 Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan .(Creole-HT) ======= Genesis 9:29 ============ Gen 9:29 And all the days of Noah were nine hundred and fifty years: and he died.(KJV-1611) Gen 9:29 Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan .(Creole-HT) ======= Genesis 10:1 ============ Gen 10:1 Now these are the generations of the sons of Noah, Shem, Ham, and Japheth: and unto them were sons born after the flood.(KJV-1611) Gen 10:1 Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.(Creole-HT) ======= Genesis 10:2 ============ Gen 10:2 The sons of Japheth; Gomer, and Magog, and Madai, and Javan, and Tubal, and Meshech, and Tiras.(KJV-1611) Gen 10:2 Men pitit gason Jafè yo: Se te Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.(Creole-HT) ======= Genesis 10:3 ============ Gen 10:3 And the sons of Gomer; Ashkenaz, and Riphath, and Togarmah.(KJV-1611) Gen 10:3 Gomè te fè twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama.(Creole-HT) ======= Genesis 10:4 ============ Gen 10:4 And the sons of Javan; Elishah, and Tarshish, Kittim, and Dodanim.(KJV-1611) Gen 10:4 Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.(Creole-HT) ======= Genesis 10:5 ============ Gen 10:5 By these were the isles of the Gentiles divided in their lands; every one after his tongue, after their families, in their nations.(KJV-1611) Gen 10:5 Se tout pitit ak pitit pitit Jafè yo sa ki zansèt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 10:6 ============ Gen 10:6 And the sons of Ham; Cush, and Mizraim, and Phut, and Canaan.(KJV-1611) Gen 10:6 Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 10:7 ============ Gen 10:7 And the sons of Cush; Seba, and Havilah, and Sabtah, and Raamah, and Sabtechah: and the sons of Raamah; Sheba, and Dedan.(KJV-1611) Gen 10:7 Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.(Creole-HT) ======= Genesis 10:8 ============ Gen 10:8 And Cush begat Nimrod: he began to be a mighty one in the earth.(KJV-1611) Gen 10:8 Kouch te gen yon lòt pitit gason yo te rele: Nimwòd. Nimwòd sa a, se premye moun ki te gwo chèf sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 10:9 ============ Gen 10:9 He was a mighty hunter before the LORD: wherefore it is said, Even as Nimrod the mighty hunter before the LORD.(KJV-1611) Gen 10:9 Se te yon gwo chasè devan Seyè a. Se poutèt sa yo di. Gwo chasè devan Bondye tankou Nimwòd.(Creole-HT) ======= Genesis 10:10 ============ Gen 10:10 And the beginning of his kingdom was Babel, and Erech, and Accad, and Calneh, in the land of Shinar.(KJV-1611) Gen 10:10 Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.(Creole-HT) ======= Genesis 10:11 ============ Gen 10:11 Out of that land went forth Asshur, and builded Nineveh, and the city Rehoboth, and Calah,(KJV-1611) Gen 10:11 Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobòt-Ir, Kalak.(Creole-HT) ======= Genesis 10:12 ============ Gen 10:12 And Resen between Nineveh and Calah: the same is a great city.(KJV-1611) Gen 10:12 Lèfini, li bati lavil Rezèm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.(Creole-HT) ======= Genesis 10:13 ============ Gen 10:13 And Mizraim begat Ludim, and Anamim, and Lehabim, and Naphtuhim,(KJV-1611) Gen 10:13 Mizrayim fè pitit. Se yo ki zansèt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou,(Creole-HT) ======= Genesis 10:14 ============ Gen 10:14 And Pathrusim, and Casluhim, (out of whom came Philistim,) and Caphtorim.(KJV-1611) Gen 10:14 peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftò. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti.(Creole-HT) ======= Genesis 10:15 ============ Gen 10:15 And Canaan begat Sidon his first born, and Heth,(KJV-1611) Gen 10:15 Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.(Creole-HT) ======= Genesis 10:16 ============ Gen 10:16 And the Jebusite, and the Amorite, and the Girgasite,(KJV-1611) Gen 10:16 Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,(Creole-HT) ======= Genesis 10:17 ============ Gen 10:17 And the Hivite, and the Arkite, and the Sinite,(KJV-1611) Gen 10:17 Evi, Aka, Seni,(Creole-HT) ======= Genesis 10:18 ============ Gen 10:18 And the Arvadite, and the Zemarite, and the Hamathite: and afterward were the families of the Canaanites spread abroad.(KJV-1611) Gen 10:18 Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.(Creole-HT) ======= Genesis 10:19 ============ Gen 10:19 And the border of the Canaanites was from Sidon, as thou comest to Gerar, unto Gaza; as thou goest, unto Sodom, and Gomorrah, and Admah, and Zeboim, even unto Lasha.(KJV-1611) Gen 10:19 Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.(Creole-HT) ======= Genesis 10:20 ============ Gen 10:20 These are the sons of Ham, after their families, after their tongues, in their countries, and in their nations.(KJV-1611) Gen 10:20 Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 10:21 ============ Gen 10:21 Unto Shem also, the father of all the children of Eber, the brother of Japheth the elder, even to him were children born.(KJV-1611) Gen 10:21 Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.(Creole-HT) ======= Genesis 10:22 ============ Gen 10:22 The children of Shem; Elam, and Asshur, and Arphaxad, and Lud, and Aram.(KJV-1611) Gen 10:22 Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.(Creole-HT) ======= Genesis 10:23 ============ Gen 10:23 And the children of Aram; Uz, and Hul, and Gether, and Mash.(KJV-1611) Gen 10:23 Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getè ak Mach.(Creole-HT) ======= Genesis 10:24 ============ Gen 10:24 And Arphaxad begat Salah; and Salah begat Eber.(KJV-1611) Gen 10:24 Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebè.(Creole-HT) ======= Genesis 10:25 ============ Gen 10:25 And unto Eber were born two sons: the name of one was Peleg; for in his days was the earth divided; and his brother's name was Joktan.(KJV-1611) Gen 10:25 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske se nan tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Yo te rele frè l' la Joktan.(Creole-HT) ======= Genesis 10:26 ============ Gen 10:26 And Joktan begat Almodad, and Sheleph, and Hazarmaveth, and Jerah,(KJV-1611) Gen 10:26 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azmavèt, Jerak,(Creole-HT) ======= Genesis 10:27 ============ Gen 10:27 And Hadoram, and Uzal, and Diklah,(KJV-1611) Gen 10:27 Adoram, Ouzal, Dikla,(Creole-HT) ======= Genesis 10:28 ============ Gen 10:28 And Obal, and Abimael, and Sheba,(KJV-1611) Gen 10:28 Obal, Abimayèl, Seba,(Creole-HT) ======= Genesis 10:29 ============ Gen 10:29 And Ophir, and Havilah, and Jobab: all these were the sons of Joktan.(KJV-1611) Gen 10:29 Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.(Creole-HT) ======= Genesis 10:30 ============ Gen 10:30 And their dwelling was from Mesha, as thou goest unto Sephar a mount of the east.(KJV-1611) Gen 10:30 Tè kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mòn ki bò kote solèy leve a.(Creole-HT) ======= Genesis 10:31 ============ Gen 10:31 These are the sons of Shem, after their families, after their tongues, in their lands, after their nations.(KJV-1611) Gen 10:31 Se tout pitit ak pitit pitit Sèm yo sa, yo chak sou tè pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 10:32 ============ Gen 10:32 These are the families of the sons of Noah, after their generations, in their nations: and by these were the nations divided in the earth after the flood.(KJV-1611) Gen 10:32 tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansèt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latè soti nan pitit Noe yo.(Creole-HT) ======= Genesis 11:1 ============ Gen 11:1 And the whole earth was of one language, and of one speech.(KJV-1611) Gen 11:1 Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 11:2 ============ Gen 11:2 And it came to pass, as they journeyed from the east, that they found a plain in the land of Shinar; and they dwelt there.(KJV-1611) Gen 11:2 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete.(Creole-HT) ======= Genesis 11:3 ============ Gen 11:3 And they said one to another, Go to, let us make brick, and burn them thoroughly. And they had brick for stone, and slime had they for morter.(KJV-1611) Gen 11:3 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye.(Creole-HT) ======= Genesis 11:4 ============ Gen 11:4 And they said, Go to, let us build us a city and a tower, whose top may reach unto heaven; and let us make us a name, lest we be scattered abroad upon the face of the whole earth.(KJV-1611) Gen 11:4 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 11:5 ============ Gen 11:5 And the LORD came down to see the city and the tower, which the children of men builded.(KJV-1611) Gen 11:5 Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a.(Creole-HT) ======= Genesis 11:6 ============ Gen 11:6 And the LORD said, Behold, the people is one, and they have all one language; and this they begin to do: and now nothing will be restrained from them, which they have imagined to do.(KJV-1611) Gen 11:6 Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle.(Creole-HT) ======= Genesis 11:7 ============ Gen 11:7 Go to, let us go down, and there confound their language, that they may not understand one another's speech.(KJV-1611) Gen 11:7 Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di.(Creole-HT) ======= Genesis 11:8 ============ Gen 11:8 So the LORD scattered them abroad from thence upon the face of all the earth: and they left off to build the city.(KJV-1611) Gen 11:8 Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 11:9 ============ Gen 11:9 Therefore is the name of it called Babel; because the LORD did there confound the language of all the earth: and from thence did the LORD scatter them abroad upon the face of all the earth.(KJV-1611) Gen 11:9 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 11:10 ============ Gen 11:10 These are the generations of Shem: Shem was an hundred years old, and begat Arphaxad two years after the flood:(KJV-1611) Gen 11:10 Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.(Creole-HT) ======= Genesis 11:11 ============ Gen 11:11 And Shem lived after he begat Arphaxad five hundred years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:11 Apre sa, li viv senksanzan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:12 ============ Gen 11:12 And Arphaxad lived five and thirty years, and begat Salah:(KJV-1611) Gen 11:12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela.(Creole-HT) ======= Genesis 11:13 ============ Gen 11:13 And Arphaxad lived after he begat Salah four hundred and three years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:13 Apre sa, li viv katsantwazan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:14 ============ Gen 11:14 And Salah lived thirty years, and begat Eber:(KJV-1611) Gen 11:14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè.(Creole-HT) ======= Genesis 11:15 ============ Gen 11:15 And Salah lived after he begat Eber four hundred and three years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:15 Apre sa, li viv katsantwazan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:16 ============ Gen 11:16 And Eber lived four and thirty years, and begat Peleg:(KJV-1611) Gen 11:16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg.(Creole-HT) ======= Genesis 11:17 ============ Gen 11:17 And Eber lived after he begat Peleg four hundred and thirty years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:17 Apre sa, li viv katsantrantan . Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:18 ============ Gen 11:18 And Peleg lived thirty years, and begat Reu:(KJV-1611) Gen 11:18 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou.(Creole-HT) ======= Genesis 11:19 ============ Gen 11:19 And Peleg lived after he begat Reu two hundred and nine years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:19 Apre sa, li viv desannevan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:20 ============ Gen 11:20 And Reu lived two and thirty years, and begat Serug:(KJV-1611) Gen 11:20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug.(Creole-HT) ======= Genesis 11:21 ============ Gen 11:21 And Reu lived after he begat Serug two hundred and seven years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:21 Apre sa, li viv desansetan ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:22 ============ Gen 11:22 And Serug lived thirty years, and begat Nahor:(KJV-1611) Gen 11:22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò.(Creole-HT) ======= Genesis 11:23 ============ Gen 11:23 And Serug lived after he begat Nahor two hundred years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:23 Apre sa, li viv desanzan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:24 ============ Gen 11:24 And Nahor lived nine and twenty years, and begat Terah:(KJV-1611) Gen 11:24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak.(Creole-HT) ======= Genesis 11:25 ============ Gen 11:25 And Nahor lived after he begat Terah an hundred and nineteen years, and begat sons and daughters.(KJV-1611) Gen 11:25 Apre sa, li viv sandiznevan ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Genesis 11:26 ============ Gen 11:26 And Terah lived seventy years, and begat Abram, Nahor, and Haran.(KJV-1611) Gen 11:26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.(Creole-HT) ======= Genesis 11:27 ============ Gen 11:27 Now these are the generations of Terah: Terah begat Abram, Nahor, and Haran; and Haran begat Lot.(KJV-1611) Gen 11:27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 11:28 ============ Gen 11:28 And Haran died before his father Terah in the land of his nativity, in Ur of the Chaldees.(KJV-1611) Gen 11:28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la.(Creole-HT) ======= Genesis 11:29 ============ Gen 11:29 And Abram and Nahor took them wives: the name of Abram's wife was Sarai; and the name of Nahor's wife, Milcah, the daughter of Haran, the father of Milcah, and the father of Iscah.(KJV-1611) Gen 11:29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.(Creole-HT) ======= Genesis 11:30 ============ Gen 11:30 But Sarai was barren; she had no child.(KJV-1611) Gen 11:30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 11:31 ============ Gen 11:31 And Terah took Abram his son, and Lot the son of Haran his son's son, and Sarai his daughter in law, his son Abram's wife; and they went forth with them from Ur of the Chaldees, to go into the land of Canaan; and they came unto Haran, and dwelt there.(KJV-1611) Gen 11:31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.(Creole-HT) ======= Genesis 11:32 ============ Gen 11:32 And the days of Terah were two hundred and five years: and Terah died in Haran.(KJV-1611) Gen 11:32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan .(Creole-HT) ======= Genesis 12:1 ============ Gen 12:1 Now the LORD had said unto Abram, Get thee out of thy country, and from thy kindred, and from thy father's house, unto a land that I will shew thee:(KJV-1611) Gen 12:1 Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 12:2 ============ Gen 12:2 And I will make of thee a great nation, and I will bless thee, and make thy name great; and thou shalt be a blessing:(KJV-1611) Gen 12:2 M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.(Creole-HT) ======= Genesis 12:3 ============ Gen 12:3 And I will bless them that bless thee, and curse him that curseth thee: and in thee shall all families of the earth be blessed.(KJV-1611) Gen 12:3 M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Genesis 12:4 ============ Gen 12:4 So Abram departed, as the LORD had spoken unto him; and Lot went with him: and Abram was seventy and five years old when he departed out of Haran.(KJV-1611) Gen 12:4 Abram pati jan Seyè a te di l' la. Lòt pati ansanm avè l' tou. Abram te gen swasannkenzan lè li kite Karan.(Creole-HT) ======= Genesis 12:5 ============ Gen 12:5 And Abram took Sarai his wife, and Lot his brother's son, and all their substance that they had gathered, and the souls that they had gotten in Haran; and they went forth to go into the land of Canaan; and into the land of Canaan they came.(KJV-1611) Gen 12:5 Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l' nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 12:6 ============ Gen 12:6 And Abram passed through the land unto the place of Sichem, unto the plain of Moreh. And the Canaanite was then in the land.(KJV-1611) Gen 12:6 Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 12:7 ============ Gen 12:7 And the LORD appeared unto Abram, and said, Unto thy seed will I give this land: and there builded he an altar unto the LORD, who appeared unto him.(KJV-1611) Gen 12:7 Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.(Creole-HT) ======= Genesis 12:8 ============ Gen 12:8 And he removed from thence unto a mountain on the east of Bethel, and pitched his tent, having Bethel on the west, and Hai on the east: and there he builded an altar unto the LORD, and called upon the name of the LORD.(KJV-1611) Gen 12:8 Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 12:9 ============ Gen 12:9 And Abram journeyed, going on still toward the south.(KJV-1611) Gen 12:9 Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la.(Creole-HT) ======= Genesis 12:10 ============ Gen 12:10 And there was a famine in the land: and Abram went down into Egypt to sojourn there; for the famine was grievous in the land.(KJV-1611) Gen 12:10 Men, grangou tonbe sou peyi a, pa t' gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 12:11 ============ Gen 12:11 And it came to pass, when he was come near to enter into Egypt, that he said unto Sarai his wife, Behold now, I know that thou art a fair woman to look upon:(KJV-1611) Gen 12:11 Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.(Creole-HT) ======= Genesis 12:12 ============ Gen 12:12 Therefore it shall come to pass, when the Egyptians shall see thee, that they shall say, This is his wife: and they will kill me, but they will save thee alive.(KJV-1611) Gen 12:12 Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'.(Creole-HT) ======= Genesis 12:13 ============ Gen 12:13 Say, I pray thee, thou art my sister: that it may be well with me for thy sake; and my soul shall live because of thee.(KJV-1611) Gen 12:13 Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m', pou yo ka aji byen avè m' poutèt ou.(Creole-HT) ======= Genesis 12:14 ============ Gen 12:14 And it came to pass, that, when Abram was come into Egypt, the Egyptians beheld the woman that she was very fair.(KJV-1611) Gen 12:14 Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gen tan wè jan Sarayi te yon bèl fanm.(Creole-HT) ======= Genesis 12:15 ============ Gen 12:15 The princes also of Pharaoh saw her, and commended her before Pharaoh: and the woman was taken into Pharaoh's house.(KJV-1611) Gen 12:15 Kèk grannèg nan gouvènman an wè sa tou, y al di farawon an jan li te bèl. Epi yo mennen Sarayi nan palè a.(Creole-HT) ======= Genesis 12:16 ============ Gen 12:16 And he entreated Abram well for her sake: and he had sheep, and oxen, and he asses, and menservants, and maidservants, and she asses, and camels.(KJV-1611) Gen 12:16 Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 12:17 ============ Gen 12:17 And the LORD plagued Pharaoh and his house with great plagues because of Sarai Abram's wife.(KJV-1611) Gen 12:17 Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Seyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a.(Creole-HT) ======= Genesis 12:18 ============ Gen 12:18 And Pharaoh called Abram and said, What is this that thou hast done unto me? why didst thou not tell me that she was thy wife?(KJV-1611) Gen 12:18 Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li. Kisa ou fè m' konsa? Poukisa ou pa t' di m' se madanm ou Sarayi ye?(Creole-HT) ======= Genesis 12:19 ============ Gen 12:19 Why saidst thou, She is my sister? so I might have taken her to me to wife: now therefore behold thy wife, take her, and go thy way.(KJV-1611) Gen 12:19 Poukisa ou te di m' se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l' pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l', al fè wout ou.(Creole-HT) ======= Genesis 12:20 ============ Gen 12:20 And Pharaoh commanded his men concerning him: and they sent him away, and his wife, and all that he had.(KJV-1611) Gen 12:20 Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tout sa ki te pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 13:1 ============ Gen 13:1 And Abram went up out of Egypt, he, and his wife, and all that he had, and Lot with him, into the south.(KJV-1611) Gen 13:1 Abram kite peyi Lejip, li moute nan nò, li tounen nan rejyon Negèv la, ansanm ak madanm li avèk tout sa li genyen. Lòt, neve l' la, te avèk li tou.(Creole-HT) ======= Genesis 13:2 ============ Gen 13:2 And Abram was very rich in cattle, in silver, and in gold.(KJV-1611) Gen 13:2 Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò.(Creole-HT) ======= Genesis 13:3 ============ Gen 13:3 And he went on his journeys from the south even to Bethel, unto the place where his tent had been at the beginning, between Bethel and Hai;(KJV-1611) Gen 13:3 Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi.(Creole-HT) ======= Genesis 13:4 ============ Gen 13:4 Unto the place of the altar, which he had make there at the first: and there Abram called on the name of the LORD.(KJV-1611) Gen 13:4 Li tounen kote li te moute yon lotèl premye fwa a. Li fè sèvis pou Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 13:5 ============ Gen 13:5 And Lot also, which went with Abram, had flocks, and herds, and tents.(KJV-1611) Gen 13:5 Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li.(Creole-HT) ======= Genesis 13:6 ============ Gen 13:6 And the land was not able to bear them, that they might dwell together: for their substance was great, so that they could not dwell together.(KJV-1611) Gen 13:6 Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje.(Creole-HT) ======= Genesis 13:7 ============ Gen 13:7 And there was a strife between the herdmen of Abram's cattle and the herdmen of Lot's cattle: and the Canaanite and the Perizzite dwelled then in the land.(KJV-1611) Gen 13:7 Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 13:8 ============ Gen 13:8 And Abram said unto Lot, Let there be no strife, I pray thee, between me and thee, and between my herdmen and thy herdmen; for we be brethren.(KJV-1611) Gen 13:8 Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 13:9 ============ Gen 13:9 Is not the whole land before thee? separate thyself, I pray thee, from me: if thou wilt take the left hand, then I will go to the right; or if thou depart to the right hand, then I will go to the left.(KJV-1611) Gen 13:9 Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat.(Creole-HT) ======= Genesis 13:10 ============ Gen 13:10 And Lot lifted up his eyes, and beheld all the plain of Jordan, that it was well watered every where, before the LORD destroyed Sodom and Gomorrah, even as the garden of the LORD, like the land of Egypt, as thou comest unto Zoar.(KJV-1611) Gen 13:10 Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)(Creole-HT) ======= Genesis 13:11 ============ Gen 13:11 Then Lot chose him all the plain of Jordan; and Lot journeyed east: and they separated themselves the one from the other.(KJV-1611) Gen 13:11 Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe.(Creole-HT) ======= Genesis 13:12 ============ Gen 13:12 Abram dwelled in the land of Canaan, and Lot dwelled in the cities of the plain, and pitched his tent toward Sodom.(KJV-1611) Gen 13:12 Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm.(Creole-HT) ======= Genesis 13:13 ============ Gen 13:13 But the men of Sodom were wicked and sinners before the LORD exceedingly.(KJV-1611) Gen 13:13 Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 13:14 ============ Gen 13:14 And the LORD said unto Abram, after that Lot was separated from him, Lift up now thine eyes, and look from the place where thou art northward, and southward, and eastward, and westward:(KJV-1611) Gen 13:14 Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès,(Creole-HT) ======= Genesis 13:15 ============ Gen 13:15 For all the land which thou seest, to thee will I give it, and to thy seed for ever.(KJV-1611) Gen 13:15 paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 13:16 ============ Gen 13:16 And I will make thy seed as the dust of the earth: so that if a man can number the dust of the earth, then shall thy seed also be numbered.(KJV-1611) Gen 13:16 Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 13:17 ============ Gen 13:17 Arise, walk through the land in the length of it and in the breadth of it; for I will give it unto thee.(KJV-1611) Gen 13:17 Bon. Koulye a, ou mèt pwonmennen mache nan tout peyi a, paske se ou menm mwen pral bay li.(Creole-HT) ======= Genesis 13:18 ============ Gen 13:18 Then Abram removed his tent, and came and dwelt in the plain of Mamre, which is in Hebron, and built there an altar unto the LORD.(KJV-1611) Gen 13:18 Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 14:1 ============ Gen 14:1 And it came to pass in the days of Amraphel king of Shinar, Arioch king of Ellasar, Chedorlaomer king of Elam, and Tidal king of nations;(KJV-1611) Gen 14:1 Lè sa a, Anmrafèl te wa Chenea, Ajòk te wa Elaza, Kedòlaòmè te wa Elam, Tideal te wa lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Genesis 14:2 ============ Gen 14:2 That these made war with Bera king of Sodom, and with Birsha king of Gomorrah, Shinab king of Admah, and Shemeber king of Zeboiim, and the king of Bela, which is Zoar.(KJV-1611) Gen 14:2 Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou.(Creole-HT) ======= Genesis 14:3 ============ Gen 14:3 All these were joined together in the vale of Siddim, which is the salt sea.(KJV-1611) Gen 14:3 Senk wa sa yo mete tèt yo ansanm, yo reyini nan Fon Sidim lan kote lanmè Sèl la ye a.(Creole-HT) ======= Genesis 14:4 ============ Gen 14:4 Twelve years they served Chedorlaomer, and in the thirteenth year they rebelled.(KJV-1611) Gen 14:4 Pandan douzan, senk wa sa yo te soumèt devan Kedòlaòmè. Lanne ki fè yo trèzan an, yo revòlte.(Creole-HT) ======= Genesis 14:5 ============ Gen 14:5 And in the fourteenth year came Chedorlaomer, and the kings that were with him, and smote the Rephaims in Ashteroth Karnaim, and the Zuzims in Ham, and the Emins in Shaveh Kiriathaim,(KJV-1611) Gen 14:5 Lanne apre sa, ki pou ta fè yo katòzan nan pozisyon sa a, Kedòlaòmè ansanm ak twa wa ki te mete tèt ansanm ak li yo vin rive. Yo bat refayim yo nan lavil Astawòt-Kanayim, yo bat zouzim yo nan lavil Am, yo bat emim yo nan laplenn Chave-Kiryatayim.(Creole-HT) ======= Genesis 14:6 ============ Gen 14:6 And the Horites in their mount Seir, unto Elparan, which is by the wilderness.(KJV-1611) Gen 14:6 Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a.(Creole-HT) ======= Genesis 14:7 ============ Gen 14:7 And they returned, and came to Enmishpat, which is Kadesh, and smote all the country of the Amalekites, and also the Amorites, that dwelt in Hazezontamar.(KJV-1611) Gen 14:7 Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.(Creole-HT) ======= Genesis 14:8 ============ Gen 14:8 And there went out the king of Sodom, and the king of Gomorrah, and the king of Admah, and the king of Zeboiim, and the king of Bela (the same is Zoar;) and they joined battle with them in the vale of Siddim;(KJV-1611) Gen 14:8 Lè sa a, wa Sodòm, wa Gomò, wa Adma, wa zeboyim ansanm ak wa Bela a, yo soti, yo pran pozisyon nan Fon Sidim lan pou yo goumen(Creole-HT) ======= Genesis 14:9 ============ Gen 14:9 With Chedorlaomer the king of Elam, and with Tidal king of nations, and Amraphel king of Shinar, and Arioch king of Ellasar; four kings with five.(KJV-1611) Gen 14:9 kont Kedòlaòmè, wa Elam, Tideal, wa lòt nasyon yo, Anmrafèl, wa Chenea ak Ajòch, wa Elaza. Sa te fè kat wa kont senk wa.(Creole-HT) ======= Genesis 14:10 ============ Gen 14:10 And the vale of Siddim was full of slimepits; and the kings of Sodom and Gomorrah fled, and fell there; and they that remained fled to the mountain.(KJV-1611) Gen 14:10 Nan Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn.(Creole-HT) ======= Genesis 14:11 ============ Gen 14:11 And they took all the goods of Sodom and Gomorrah, and all their victuals, and went their way.(KJV-1611) Gen 14:11 Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo.(Creole-HT) ======= Genesis 14:12 ============ Gen 14:12 And they took Lot, Abram's brother's son, who dwelt in Sodom, and his goods, and departed.(KJV-1611) Gen 14:12 Yo pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l' yo, paske se Sodòm Lòt te rete.(Creole-HT) ======= Genesis 14:13 ============ Gen 14:13 And there came one that had escaped, and told Abram the Hebrew; for he dwelt in the plain of Mamre the Amorite, brother of Eshcol, and brother of Aner: and these were confederate with Abram.(KJV-1611) Gen 14:13 Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. tout de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram.(Creole-HT) ======= Genesis 14:14 ============ Gen 14:14 And when Abram heard that his brother was taken captive, he armed his trained servants, born in his own house, three hundred and eighteen, and pursued them unto Dan.(KJV-1611) Gen 14:14 Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.(Creole-HT) ======= Genesis 14:15 ============ Gen 14:15 And he divided himself against them, he and his servants, by night, and smote them, and pursued them unto Hobah, which is on the left hand of Damascus.(KJV-1611) Gen 14:15 La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas.(Creole-HT) ======= Genesis 14:16 ============ Gen 14:16 And he brought back all the goods, and also brought again his brother Lot, and his goods, and the women also, and the people.(KJV-1611) Gen 14:16 Li reprann tout byen yo te pran yo, li mennen Lòt, neve li a, tounen lakay li ansanm ak tout byen l' yo, tout medam yo ak tout pèp la.(Creole-HT) ======= Genesis 14:17 ============ Gen 14:17 And the king of Sodom went out to meet him after his return from the slaughter of Chedorlaomer, and of the kings that were with him, at the valley of Shaveh, which is the king's dale.(KJV-1611) Gen 14:17 Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l' nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou.(Creole-HT) ======= Genesis 14:18 ============ Gen 14:18 And Melchizedek king of Salem brought forth bread and wine: and he was the priest of the most high God.(KJV-1611) Gen 14:18 Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.(Creole-HT) ======= Genesis 14:19 ============ Gen 14:19 And he blessed him, and said, Blessed be Abram of the most high God, possessor of heaven and earth:(KJV-1611) Gen 14:19 Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram.(Creole-HT) ======= Genesis 14:20 ============ Gen 14:20 And blessed be the most high God, which hath delivered thine enemies into thy hand. And he gave him tithes of all.(KJV-1611) Gen 14:20 Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran.(Creole-HT) ======= Genesis 14:21 ============ Gen 14:21 And the king of Sodom said unto Abram, Give me the persons, and take the goods to thyself.(KJV-1611) Gen 14:21 Lèfini, wa Sodòm lan di Abram. Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman.(Creole-HT) ======= Genesis 14:22 ============ Gen 14:22 And Abram said to the king of Sodom, I have lift up mine hand unto the LORD, the most high God, the possessor of heaven and earth,(KJV-1611) Gen 14:22 Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,(Creole-HT) ======= Genesis 14:23 ============ Gen 14:23 That I will not take from a thread even to a shoelatchet, and that I will not take any thing that is thine, lest thou shouldest say, I have made Abram rich:(KJV-1611) Gen 14:23 mwen p'ap pran anyen nan sa ki pou ou, li te mèt yon ti moso fil, yon kòd sapat. Konsa, ou p'ap janm ka di se ou menm ki fè Abram rich.(Creole-HT) ======= Genesis 14:24 ============ Gen 14:24 Save only that which the young men have eaten, and the portion of the men which went with me, Aner, Eshcol, and Mamre; let them take their portion.(KJV-1611) Gen 14:24 Mwen pa bezwen anyen pou tèt pa m'. Men, m'ap asepte sa moun mwen yo te manje, ansanm ak pòsyon ki pou moun ki te mache avè m' yo. Wi, se pou Ane, Echkòl ak Manmre pran sa ki vin pou yo a.(Creole-HT) ======= Genesis 15:1 ============ Gen 15:1 After these things the word of the LORD came unto Abram in a vision, saying, Fear not, Abram: I am thy shield, and thy exceeding great reward.(KJV-1611) Gen 15:1 Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 15:2 ============ Gen 15:2 And Abram said, LORD God, what wilt thou give me, seeing I go childless, and the steward of my house is this Eliezer of Damascus?(KJV-1611) Gen 15:2 Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la.(Creole-HT) ======= Genesis 15:3 ============ Gen 15:3 And Abram said, Behold, to me thou hast given no seed: and, lo, one born in my house is mine heir.(KJV-1611) Gen 15:3 Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'.(Creole-HT) ======= Genesis 15:4 ============ Gen 15:4 And, behold, the word of the LORD came unto him, saying, This shall not be thine heir; but he that shall come forth out of thine own bowels shall be thine heir.(KJV-1611) Gen 15:4 Lè sa a, li tande Seyè a ki di l' konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou.(Creole-HT) ======= Genesis 15:5 ============ Gen 15:5 And he brought him forth abroad, and said, Look now toward heaven, and tell the stars, if thou be able to number them: and he said unto him, So shall thy seed be.(KJV-1611) Gen 15:5 Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 15:6 ============ Gen 15:6 And he believed in the LORD; and he counted it to him for righteousness.(KJV-1611) Gen 15:6 Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l' gras.(Creole-HT) ======= Genesis 15:7 ============ Gen 15:7 And he said unto him, I am the LORD that brought thee out of Ur of the Chaldees, to give thee this land to inherit it.(KJV-1611) Gen 15:7 Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m' te ka ba ou peyi sa a pou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 15:8 ============ Gen 15:8 And he said, LORD God, whereby shall I know that I shall inherit it?(KJV-1611) Gen 15:8 Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m' fè konnen peyi sa a pou mwen vre?(Creole-HT) ======= Genesis 15:9 ============ Gen 15:9 And he said unto him, Take me an heifer of three years old, and a she goat of three years old, and a ram of three years old, and a turtledove, and a young pigeon.(KJV-1611) Gen 15:9 Seyè a di l'. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.(Creole-HT) ======= Genesis 15:10 ============ Gen 15:10 And he took unto him all these, and divided them in the midst, and laid each piece one against another: but the birds divided he not.(KJV-1611) Gen 15:10 Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de.(Creole-HT) ======= Genesis 15:11 ============ Gen 15:11 And when the fowls came down upon the carcases, Abram drove them away.(KJV-1611) Gen 15:11 Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale.(Creole-HT) ======= Genesis 15:12 ============ Gen 15:12 And when the sun was going down, a deep sleep fell upon Abram; and, lo, an horror of great darkness fell upon him.(KJV-1611) Gen 15:12 Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l' nan dòmi an. Kote l' te ye a vin fè tout nwa.(Creole-HT) ======= Genesis 15:13 ============ Gen 15:13 And he said unto Abram, Know of a surety that thy seed shall be a stranger in a land that is not their's, and shall serve them; and they shall afflict them four hundred years;(KJV-1611) Gen 15:13 Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan .(Creole-HT) ======= Genesis 15:14 ============ Gen 15:14 And also that nation, whom they shall serve, will I judge: and afterward shall they come out with great substance.(KJV-1611) Gen 15:14 Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.(Creole-HT) ======= Genesis 15:15 ============ Gen 15:15 And thou shalt go to thy fathers in peace; thou shalt be buried in a good old age.(KJV-1611) Gen 15:15 Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tè, wa viv lontan san ankenn pwoblèm.(Creole-HT) ======= Genesis 15:16 ============ Gen 15:16 But in the fourth generation they shall come hither again: for the iniquity of the Amorites is not yet full.(KJV-1611) Gen 15:16 Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.(Creole-HT) ======= Genesis 15:17 ============ Gen 15:17 And it came to pass, that, when the sun went down, and it was dark, behold a smoking furnace, and a burning lamp that passed between those pieces.(KJV-1611) Gen 15:17 Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.(Creole-HT) ======= Genesis 15:18 ============ Gen 15:18 In the same day the LORD made a covenant with Abram, saying, Unto thy seed have I given this land, from the river of Egypt unto the great river, the river Euphrates:(KJV-1611) Gen 15:18 Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Genesis 15:19 ============ Gen 15:19 The Kenites, and the Kenizzites, and the Kadmonites,(KJV-1611) Gen 15:19 Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo,(Creole-HT) ======= Genesis 15:20 ============ Gen 15:20 And the Hittites, and the Perizzites, and the Rephaims,(KJV-1611) Gen 15:20 moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,(Creole-HT) ======= Genesis 15:21 ============ Gen 15:21 And the Amorites, and the Canaanites, and the Girgashites, and the Jebusites.(KJV-1611) Gen 15:21 moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.(Creole-HT) ======= Genesis 16:1 ============ Gen 16:1 Now Sarai Abram's wife bare him no children: and she had an handmaid, an Egyptian, whose name was Hagar.(KJV-1611) Gen 16:1 Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.(Creole-HT) ======= Genesis 16:2 ============ Gen 16:2 And Sarai said unto Abram, Behold now, the LORD hath restrained me from bearing: I pray thee, go in unto my maid; it may be that I may obtain children by her. And Abram hearkened to the voice of Sarai.(KJV-1611) Gen 16:2 Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 16:3 ============ Gen 16:3 And Sarai Abram's wife took Hagar her maid the Egyptian, after Abram had dwelt ten years in the land of Canaan, and gave her to her husband Abram to be his wife.(KJV-1611) Gen 16:3 Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 16:4 ============ Gen 16:4 And he went in unto Hagar, and she conceived: and when she saw that she had conceived, her mistress was despised in her eyes.(KJV-1611) Gen 16:4 Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 16:5 ============ Gen 16:5 And Sarai said unto Abram, My wrong be upon thee: I have given my maid into thy bosom; and when she saw that she had conceived, I was despised in her eyes: the LORD judge between me and thee.(KJV-1611) Gen 16:5 Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.(Creole-HT) ======= Genesis 16:6 ============ Gen 16:6 But Abram said unto Sarai, Behold, thy maid is in thine hand; do to her as it pleaseth thee. And when Sarai dealt hardly with her, she fled from her face.(KJV-1611) Gen 16:6 Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 16:7 ============ Gen 16:7 And the angel of the LORD found her by a fountain of water in the wilderness, by the fountain in the way to Shur.(KJV-1611) Gen 16:7 Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.(Creole-HT) ======= Genesis 16:8 ============ Gen 16:8 And he said, Hagar, Sarai's maid, whence camest thou? and whither wilt thou go? And she said, I flee from the face of my mistress Sarai.(KJV-1611) Gen 16:8 Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 16:9 ============ Gen 16:9 And the angel of the LORD said unto her, Return to thy mistress, and submit thyself under her hands.(KJV-1611) Gen 16:9 Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.(Creole-HT) ======= Genesis 16:10 ============ Gen 16:10 And the angel of the LORD said unto her, I will multiply thy seed exceedingly, that it shall not be numbered for multitude.(KJV-1611) Gen 16:10 Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.(Creole-HT) ======= Genesis 16:11 ============ Gen 16:11 And the angel of the LORD said unto her, Behold, thou art with child and shalt bear a son, and shalt call his name Ishmael; because the LORD hath heard thy affliction.(KJV-1611) Gen 16:11 Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.(Creole-HT) ======= Genesis 16:12 ============ Gen 16:12 And he will be a wild man; his hand will be against every man, and every man's hand against him; and he shall dwell in the presence of all his brethren.(KJV-1611) Gen 16:12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.(Creole-HT) ======= Genesis 16:13 ============ Gen 16:13 And she called the name of the LORD that spake unto her, Thou God seest me: for she said, Have I also here looked after him that seeth me?(KJV-1611) Gen 16:13 Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 16:14 ============ Gen 16:14 Wherefore the well was called Beerlahairoi; behold, it is between Kadesh and Bered.(KJV-1611) Gen 16:14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 16:15 ============ Gen 16:15 And Hagar bare Abram a son: and Abram called his son's name, which Hagar bare, Ishmael.(KJV-1611) Gen 16:15 Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.(Creole-HT) ======= Genesis 16:16 ============ Gen 16:16 And Abram was fourscore and six years old, when Hagar bare Ishmael to Abram.(KJV-1611) Gen 16:16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.(Creole-HT) ======= Genesis 17:1 ============ Gen 17:1 And when Abram was ninety years old and nine, the LORD appeared to Abram, and said unto him, I am the Almighty God; walk before me, and be thou perfect.(KJV-1611) Gen 17:1 Le Abram rive sou katrevendisnevan laj, Seyè a parèt devan l', li di l' konsa. Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m' di ou fè. Se pou ou mennen yon vi san repwòch.(Creole-HT) ======= Genesis 17:2 ============ Gen 17:2 And I will make my covenant between me and thee, and will multiply thee exceedingly.(KJV-1611) Gen 17:2 M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 17:3 ============ Gen 17:3 And Abram fell on his face: and God talked with him, saying,(KJV-1611) Gen 17:3 Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.(Creole-HT) ======= Genesis 17:4 ============ Gen 17:4 As for me, behold, my covenant is with thee, and thou shalt be a father of many nations.(KJV-1611) Gen 17:4 -Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 17:5 ============ Gen 17:5 Neither shall thy name any more be called Abram, but thy name shall be Abraham; for a father of many nations have I made thee.(KJV-1611) Gen 17:5 Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 17:6 ============ Gen 17:6 And I will make thee exceeding fruitful, and I will make nations of thee, and kings shall come out of thee.(KJV-1611) Gen 17:6 M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Y'ap tounen kantite nasyon. Anpil wa ap soti nan ras ou.(Creole-HT) ======= Genesis 17:7 ============ Gen 17:7 And I will establish my covenant between me and thee and thy seed after thee in their generations for an everlasting covenant, to be a God unto thee, and to thy seed after thee.(KJV-1611) Gen 17:7 M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 17:8 ============ Gen 17:8 And I will give unto thee, and to thy seed after thee, the land wherein thou art a stranger, all the land of Canaan, for an everlasting possession; and I will be their God.(KJV-1611) Gen 17:8 Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.(Creole-HT) ======= Genesis 17:9 ============ Gen 17:9 And God said unto Abraham, Thou shalt keep my covenant therefore, thou, and thy seed after thee in their generations.(KJV-1611) Gen 17:9 Bondye di Abraram. Men ou menm ansanm ak tout ras ou, de pitit an pitit, se pou nou dakò pou nou kenbe kontra a avèk mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 17:10 ============ Gen 17:10 This is my covenant, which ye shall keep, between me and you and thy seed after thee; Every man child among you shall be circumcised.(KJV-1611) Gen 17:10 Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.(Creole-HT) ======= Genesis 17:11 ============ Gen 17:11 And ye shall circumcise the flesh of your foreskin; and it shall be a token of the covenant betwixt me and you.(KJV-1611) Gen 17:11 Depi koulye a, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m'.(Creole-HT) ======= Genesis 17:12 ============ Gen 17:12 And he that is eight days old shall be circumcised among you, every man child in your generations, he that is born in the house, or bought with money of any stranger, which is not of thy seed.(KJV-1611) Gen 17:12 Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou.(Creole-HT) ======= Genesis 17:13 ============ Gen 17:13 He that is born in thy house, and he that is bought with thy money, must needs be circumcised: and my covenant shall be in your flesh for an everlasting covenant.(KJV-1611) Gen 17:13 Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 17:14 ============ Gen 17:14 And the uncircumcised man child whose flesh of his foreskin is not circumcised, that soul shall be cut off from his people; he hath broken my covenant.(KJV-1611) Gen 17:14 Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an.(Creole-HT) ======= Genesis 17:15 ============ Gen 17:15 And God said unto Abraham, As for Sarai thy wife, thou shalt not call her name Sarai, but Sarah shall her name be.(KJV-1611) Gen 17:15 Apre sa, Bondye di Abraram. Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l' Sara.(Creole-HT) ======= Genesis 17:16 ============ Gen 17:16 And I will bless her, and give thee a son also of her: yea, I will bless her, and she shall be a mother of nations; kings of people shall be of her.(KJV-1611) Gen 17:16 M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.(Creole-HT) ======= Genesis 17:17 ============ Gen 17:17 Then Abraham fell upon his face, and laughed, and said in his heart, Shall a child be born unto him that is an hundred years old? and shall Sarah, that is ninety years old, bear?(KJV-1611) Gen 17:17 Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l' chonje jan l' fin granmoun. Li t'ap di nan kè l'. Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent?(Creole-HT) ======= Genesis 17:18 ============ Gen 17:18 And Abraham said unto God, O that Ishmael might live before thee!(KJV-1611) Gen 17:18 Li di Bondye. Tanpri, beni Izmayèl. Pa kite l' mouri!(Creole-HT) ======= Genesis 17:19 ============ Gen 17:19 And God said, Sarah thy wife shall bear thee a son indeed; and thou shalt call his name Isaac: and I will establish my covenant with him for an everlasting covenant, and with his seed after him.(KJV-1611) Gen 17:19 Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 17:20 ============ Gen 17:20 And as for Ishmael, I have heard thee: Behold, I have blessed him, and will make him fruitful, and will multiply him exceedingly; twelve princes shall he beget, and I will make him a great nation.(KJV-1611) Gen 17:20 Ou mande m' pou m' pwoteje Izmayèl pou ou! M'ap fè l' pou ou! M'ap beni l', m'ap ba li anpil pitit ak anpil pitit pitit. Gen douz chèf k'ap soti nan fanmi li. M'ap fè pitit li yo tounen yon gwo nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 17:21 ============ Gen 17:21 But my covenant will I establish with Isaac, which Sarah shall bear unto thee at this set time in the next year.(KJV-1611) Gen 17:21 Men, m'ap kenbe kontra mwen an avèk Izarak, pitit gason Sara pral fè pou ou a. L'ap fèt lanne k'ap vini an, lè konsa.(Creole-HT) ======= Genesis 17:22 ============ Gen 17:22 And he left off talking with him, and God went up from Abraham.(KJV-1611) Gen 17:22 Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.(Creole-HT) ======= Genesis 17:23 ============ Gen 17:23 And Abraham took Ishmael his son, and all that were born in his house, and all that were bought with his money, every male among the men of Abraham's house; and circumcised the flesh of their foreskin in the selfsame day, as God had said unto him.(KJV-1611) Gen 17:23 Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la.(Creole-HT) ======= Genesis 17:24 ============ Gen 17:24 And Abraham was ninety years old and nine, when he was circumcised in the flesh of his foreskin.(KJV-1611) Gen 17:24 Abraram poutèt pa l' te gen katrevendiznèvan lè l' te sikonsi.(Creole-HT) ======= Genesis 17:25 ============ Gen 17:25 And Ishmael his son was thirteen years old, when he was circumcised in the flesh of his foreskin.(KJV-1611) Gen 17:25 Izmayèl, pitit gason l' lan, te gen trèzan lè l' te sikonsi.(Creole-HT) ======= Genesis 17:26 ============ Gen 17:26 In the selfsame day was Abraham circumcised, and Ishmael his son.(KJV-1611) Gen 17:26 Yo tout de, yo sikonsi yo menm jou(Creole-HT) ======= Genesis 17:27 ============ Gen 17:27 And all the men of his house, born in the house, and bought with money of the stranger, were circumcised with him.(KJV-1611) Gen 17:27 ansanm ak tout domestik ki te lakay li, kit yo te fèt la, kit se achte li te achte yo nan men moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Genesis 18:1 ============ Gen 18:1 And the LORD appeared unto him in the plains of Mamre: and he sat in the tent door in the heat of the day;(KJV-1611) Gen 18:1 Seyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an.(Creole-HT) ======= Genesis 18:2 ============ Gen 18:2 And he lift up his eyes and looked, and, lo, three men stood by him: and when he saw them, he ran to meet them from the tent door, and bowed himself toward the ground,(KJV-1611) Gen 18:2 Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.(Creole-HT) ======= Genesis 18:3 ============ Gen 18:3 And said, My LORD, if now I have found favour in thy sight, pass not away, I pray thee, from thy servant:(KJV-1611) Gen 18:3 Li di. Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye.(Creole-HT) ======= Genesis 18:4 ============ Gen 18:4 Let a little water, I pray you, be fetched, and wash your feet, and rest yourselves under the tree:(KJV-1611) Gen 18:4 Kite m' mande yo pote ti gout dlo pou lave pye ou. Lèfini, w'a pran yon ti repo anba pyebwa sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 18:5 ============ Gen 18:5 And I will fetch a morsel of bread, and comfort ye your hearts; after that ye shall pass on: for therefore are ye come to your servant. And they said, So do, as thou hast said.(KJV-1611) Gen 18:5 'a pote yon ti manje pou ou soutni kè ou pou ou reprann fòs pou ou ka kontinye vwayaj ou. Ou rive lakay mwen, mwen la pou m' sèvi ou. Yo reponn li: -Dakò. Ou mèt fè jan ou di a.(Creole-HT) ======= Genesis 18:6 ============ Gen 18:6 And Abraham hastened into the tent unto Sarah, and said, Make ready quickly three measures of fine meal, knead it, and make cakes upon the hearth.(KJV-1611) Gen 18:6 Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen.(Creole-HT) ======= Genesis 18:7 ============ Gen 18:7 And Abraham ran unto the herd, and fetcht a calf tender and good, and gave it unto a young man; and he hasted to dress it.(KJV-1611) Gen 18:7 Apre sa, Abraram kouri al nan bann bèt li yo, li pran yon jenn ti bèf byen gra, li bay yonn nan domestik li yo li pou li prese al kòche l'.(Creole-HT) ======= Genesis 18:8 ============ Gen 18:8 And he took butter, and milk, and the calf which he had dressed, and set it before them; and he stood by them under the tree, and they did eat.(KJV-1611) Gen 18:8 Apre sa, li pran fwomaj, li pran lèt fre, li mete yo ansanm ak vyann yo te pare a, li sèvi mesye yo. Pandan yo t'ap manje, Abraram te kanpe bò kote yo anba pyebwa a.(Creole-HT) ======= Genesis 18:9 ============ Gen 18:9 And they said unto him, Where is Sarah thy wife? And he said, Behold, in the tent.(KJV-1611) Gen 18:9 Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:10 ============ Gen 18:10 And he said, I will certainly return unto thee according to the time of life; and, lo, Sarah thy wife shall have a son. And Sarah heard it in the tent door, which was behind him.(KJV-1611) Gen 18:10 Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.(Creole-HT) ======= Genesis 18:11 ============ Gen 18:11 Now Abraham and Sarah were old and well stricken in age; and it ceased to be with Sarah after the manner of women.(KJV-1611) Gen 18:11 Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalen li.(Creole-HT) ======= Genesis 18:12 ============ Gen 18:12 Therefore Sarah laughed within herself, saying, After I am waxed old shall I have pleasure, my lord being old also?(KJV-1611) Gen 18:12 Sara tonbe ri nan kè l', li t'ap di. Koulye a, kalite jan m' fin vye a, ou kwè lide m' ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun!(Creole-HT) ======= Genesis 18:13 ============ Gen 18:13 And the LORD said unto Abraham, Wherefore did Sarah laugh, saying, Shall I of a surety bear a child, which am old?(KJV-1611) Gen 18:13 Seyè a di Abraram. Sa ki gen la a pou Sara ri konsa, pou l'ap di nan kè l'. Eske mwen kapab fè pitit ankò, jan m' fin vye a?(Creole-HT) ======= Genesis 18:14 ============ Gen 18:14 Is any thing too hard for the LORD? At the time appointed I will return unto thee, according to the time of life, and Sarah shall have a son.(KJV-1611) Gen 18:14 Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Genesis 18:15 ============ Gen 18:15 Then Sarah denied, saying, I laughed not; for she was afraid. And he said, Nay; but thou didst laugh.(KJV-1611) Gen 18:15 Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di. Mwen pa t' ri non! Men Seyè a di l'. Men wi, machè, ou te ri.(Creole-HT) ======= Genesis 18:16 ============ Gen 18:16 And the men rose up from thence, and looked toward Sodom: and Abraham went with them to bring them on the way.(KJV-1611) Gen 18:16 Mesye yo leve, yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Yo rive kote yo te ka voye je yo gade anba pou wè Sodòm. Abraram menm t'ap mache ak yo. Li t'ap kondi yo mete pi devan sou wout la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:17 ============ Gen 18:17 And the LORD said, Shall I hide from Abraham that thing which I do;(KJV-1611) Gen 18:17 Seyè a di nan kè l'. Mwen pa kapab kache Abraram sa m' pral fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 18:18 ============ Gen 18:18 Seeing that Abraham shall surely become a great and mighty nation, and all the nations of the earth shall be blessed in him?(KJV-1611) Gen 18:18 Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Genesis 18:19 ============ Gen 18:19 For I know him, that he will command his children and his household after him, and they shall keep the way of the LORD, to do justice and judgment; that the LORD may bring upon Abraham that which he hath spoken of him.(KJV-1611) Gen 18:19 Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.(Creole-HT) ======= Genesis 18:20 ============ Gen 18:20 And the LORD said, Because the cry of Sodom and Gomorrah is great, and because their sin is very grievous;(KJV-1611) Gen 18:20 Apre sa, Seyè a di. Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 18:21 ============ Gen 18:21 I will go down now, and see whether they have done altogether according to the cry of it, which is come unto me; and if not, I will know.(KJV-1611) Gen 18:21 M'ap desann pou m' wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen.(Creole-HT) ======= Genesis 18:22 ============ Gen 18:22 And the men turned their faces from thence, and went toward Sodom: but Abraham stood yet before the LORD.(KJV-1611) Gen 18:22 Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Seyè a te rete ak Abraram.(Creole-HT) ======= Genesis 18:23 ============ Gen 18:23 And Abraham drew near, and said, Wilt thou also destroy the righteous with the wicked?(KJV-1611) Gen 18:23 Abraram pwoche bò kote Seyè a, li mande l'. Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo?(Creole-HT) ======= Genesis 18:24 ============ Gen 18:24 Peradventure there be fifty righteous within the city: wilt thou also destroy and not spare the place for the fifty righteous that are therein?(KJV-1611) Gen 18:24 Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, èske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo?(Creole-HT) ======= Genesis 18:25 ============ Gen 18:25 That be far from thee to do after this manner, to slay the righteous with the wicked: and that the righteous should be as the wicked, that be far from thee: Shall not the Judge of all the earth do right?(KJV-1611) Gen 18:25 Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.(Creole-HT) ======= Genesis 18:26 ============ Gen 18:26 And the LORD said, If I find in Sodom fifty righteous within the city, then I will spare all the place for their sakes.(KJV-1611) Gen 18:26 Seyè a reponn. Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 18:27 ============ Gen 18:27 And Abraham answered and said, Behold now, I have taken upon me to speak unto the LORD, which am but dust and ashes:(KJV-1611) Gen 18:27 Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 18:28 ============ Gen 18:28 Peradventure there shall lack five of the fifty righteous: wilt thou destroy all the city for lack of five? And he said, If I find there forty and five, I will not destroy it.(KJV-1611) Gen 18:28 Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, èske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Seyè a reponn. Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:29 ============ Gen 18:29 And he spake unto him yet again, and said, Peradventure there shall be forty found there. And he said, I will not do it for forty's sake.(KJV-1611) Gen 18:29 Abraram pale ankò, li di. Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Seyè a reponn. Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:30 ============ Gen 18:30 And he said unto him, Oh let not the LORD be angry, and I will speak: Peradventure there shall thirty be found there. And he said, I will not do it, if I find thirty there.(KJV-1611) Gen 18:30 Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:31 ============ Gen 18:31 And he said, Behold now, I have taken upon me to speak unto the LORD: Peradventure there shall be twenty found there. And he said, I will not destroy it for twenty's sake.(KJV-1611) Gen 18:31 Abraram di. Eskize m' wi, Seyè, si m' penmèt mwen pale toujou. Men, sipoze ou jwenn vin inonsan sèlman? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn vin inonsan, m'ap fè pa lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:32 ============ Gen 18:32 And he said, Oh let not the LORD be angry, and I will speak yet but this once: Peradventure ten shall be found there. And he said, I will not destroy it for ten's sake.(KJV-1611) Gen 18:32 Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 18:33 ============ Gen 18:33 And the LORD went his way, as soon as he had left communing with Abraham: and Abraham returned unto his place.(KJV-1611) Gen 18:33 Apre li fin pale ak Abraram, Seyè a al fè wout li. Abraram menm tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Genesis 19:1 ============ Gen 19:1 And there came two angels to Sodom at even; and Lot sat in the gate of Sodom: and Lot seeing them rose up to meet them; and he bowed himself with his face toward the ground;(KJV-1611) Gen 19:1 De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.(Creole-HT) ======= Genesis 19:2 ============ Gen 19:2 And he said, Behold now, my lords, turn in, I pray you, into your servant's house, and tarry all night, and wash your feet, and ye shall rise up early, and go on your ways. And they said, Nay; but we will abide in the street all night.(KJV-1611) Gen 19:2 Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la.(Creole-HT) ======= Genesis 19:3 ============ Gen 19:3 And he pressed upon them greatly; and they turned in unto him, and entered into his house; and he made them a feast, and did bake unleavened bread, and they did eat.(KJV-1611) Gen 19:3 Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje.(Creole-HT) ======= Genesis 19:4 ============ Gen 19:4 But before they lay down, the men of the city, even the men of Sodom, compassed the house round, both old and young, all the people from every quarter:(KJV-1611) Gen 19:4 Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini.(Creole-HT) ======= Genesis 19:5 ============ Gen 19:5 And they called unto Lot, and said unto him, Where are the men which came in to thee this night? bring them out unto us, that we may know them.(KJV-1611) Gen 19:5 Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo?(Creole-HT) ======= Genesis 19:6 ============ Gen 19:6 And Lot went out at the door unto them, and shut the door after him,(KJV-1611) Gen 19:6 Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l',(Creole-HT) ======= Genesis 19:7 ============ Gen 19:7 And said, I pray you, brethren, do not so wickedly.(KJV-1611) Gen 19:7 li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 19:8 ============ Gen 19:8 Behold now, I have two daughters which have not known man; let me, I pray you, bring them out unto you, and do ye to them as is good in your eyes: only unto these men do nothing; for therefore came they under the shadow of my roof.(KJV-1611) Gen 19:8 Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Genesis 19:9 ============ Gen 19:9 And they said, Stand back. And they said again, This one fellow came in to sojourn, and he will needs be a judge: now will we deal worse with thee, than with them. And they pressed sore upon the man, even Lot, and came near to break the door.(KJV-1611) Gen 19:9 Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la.(Creole-HT) ======= Genesis 19:10 ============ Gen 19:10 But the men put forth their hand, and pulled Lot into the house to them, and shut to the door.(KJV-1611) Gen 19:10 Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la.(Creole-HT) ======= Genesis 19:11 ============ Gen 19:11 And they smote the men that were at the door of the house with blindness, both small and great: so that they wearied themselves to find the door.(KJV-1611) Gen 19:11 Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye.(Creole-HT) ======= Genesis 19:12 ============ Gen 19:12 And the men said unto Lot, Hast thou here any besides? son in law, and thy sons, and thy daughters, and whatsoever thou hast in the city, bring them out of this place:(KJV-1611) Gen 19:12 De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò.(Creole-HT) ======= Genesis 19:13 ============ Gen 19:13 For we will destroy this place, because the cry of them is waxen great before the face of the LORD; and the LORD hath sent us to destroy it.(KJV-1611) Gen 19:13 Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 19:14 ============ Gen 19:14 And Lot went out, and spake unto his sons in law, which married his daughters, and said, Up, get you out of this place; for the LORD will destroy this city. But he seemed as one that mocked unto his sons in law.(KJV-1611) Gen 19:14 Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.(Creole-HT) ======= Genesis 19:15 ============ Gen 19:15 And when the morning arose, then the angels hastened Lot, saying, Arise, take thy wife, and thy two daughters, which are here; lest thou be consumed in the iniquity of the city.(KJV-1611) Gen 19:15 Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 19:16 ============ Gen 19:16 And while he lingered, the men laid hold upon his hand, and upon the hand of his wife, and upon the hand of his two daughters; the LORD being merciful unto him: and they brought him forth, and set him without the city.(KJV-1611) Gen 19:16 Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 19:17 ============ Gen 19:17 And it came to pass, when they had brought them forth abroad, that he said, Escape for thy life; look not behind thee, neither stay thou in all the plain; escape to the mountain, lest thou be consumed.(KJV-1611) Gen 19:17 Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.(Creole-HT) ======= Genesis 19:18 ============ Gen 19:18 And Lot said unto them, Oh, not so, my LORD:(KJV-1611) Gen 19:18 Men, Lòt reponn li. O! Non, Mèt. Tanpri, pa mande m' tout sa.(Creole-HT) ======= Genesis 19:19 ============ Gen 19:19 Behold now, thy servant hath found grace in thy sight, and thou hast magnified thy mercy, which thou hast shewed unto me in saving my life; and I cannot escape to the mountain, lest some evil take me, and I die:(KJV-1611) Gen 19:19 Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 19:20 ============ Gen 19:20 Behold now, this city is near to flee unto, and it is a little one: Oh, let me escape thither, (is it not a little one?) and my soul shall live.(KJV-1611) Gen 19:20 Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'.(Creole-HT) ======= Genesis 19:21 ============ Gen 19:21 And he said unto him, See, I have accepted thee concerning this thing also, that I will not overthrow this city, for the which thou hast spoken.(KJV-1611) Gen 19:21 Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 19:22 ============ Gen 19:22 Haste thee, escape thither; for I cannot do anything till thou be come thither. Therefore the name of the city was called Zoar.(KJV-1611) Gen 19:22 Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la. Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa.(Creole-HT) ======= Genesis 19:23 ============ Gen 19:23 The sun was risen upon the earth when Lot entered into Zoar.(KJV-1611) Gen 19:23 Solèy te fèk ap leve lè Lòt rive Zoa.(Creole-HT) ======= Genesis 19:24 ============ Gen 19:24 Then the LORD rained upon Sodom and upon Gomorrah brimstone and fire from the LORD out of heaven;(KJV-1611) Gen 19:24 Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.(Creole-HT) ======= Genesis 19:25 ============ Gen 19:25 And he overthrew those cities, and all the plain, and all the inhabitants of the cities, and that which grew upon the ground.(KJV-1611) Gen 19:25 Li detwi de lavil sa yo ak tout plenn lan ansanm ak tout moun ki te rete nan lavil yo ak tout plant ki t'ap pouse nan tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 19:26 ============ Gen 19:26 But his wife looked back from behind him, and she became a pillar of salt.(KJV-1611) Gen 19:26 Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl.(Creole-HT) ======= Genesis 19:27 ============ Gen 19:27 And Abraham gat up early in the morning to the place where he stood before the LORD:(KJV-1611) Gen 19:27 Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 19:28 ============ Gen 19:28 And he looked toward Sodom and Gomorrah, and toward all the land of the plain, and beheld, and, lo, the smoke of the country went up as the smoke of a furnace.(KJV-1611) Gen 19:28 Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.(Creole-HT) ======= Genesis 19:29 ============ Gen 19:29 And it came to pass, when God destroyed the cities of the plain, that God remembered Abraham, and sent Lot out of the midst of the overthrow, when he overthrew the cities in the which Lot dwelt.(KJV-1611) Gen 19:29 Se konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li tapral lage sou lavil kote li te rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 19:30 ============ Gen 19:30 And Lot went up out of Zoar, and dwelt in the mountain, and his two daughters with him; for he feared to dwell in Zoar: and he dwelt in a cave, he and his two daughters.(KJV-1611) Gen 19:30 Men Lòt te pè rete nan bouk Zoa a. Se konsa, li menm ak de pitit li yo, yo soti Zoa, yo moute, y al rete nan mòn yo. Yo fè kay yo nan yon gwo twou wòch.(Creole-HT) ======= Genesis 19:31 ============ Gen 19:31 And the firstborn said unto the younger, Our father is old, and there is not a man in the earth to come in unto us after the manner of all the earth:(KJV-1611) Gen 19:31 Pi gran fi a di pi piti a. Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou.(Creole-HT) ======= Genesis 19:32 ============ Gen 19:32 Come, let us make our father drink wine, and we will lie with him, that we may preserve seed of our father.(KJV-1611) Gen 19:32 Vini non. Annou fè papa bwè diven jouk li sou. Apre sa, n'a kouche avè l'. Konsa, n'a fè pitit pou papa nou.(Creole-HT) ======= Genesis 19:33 ============ Gen 19:33 And they made their father drink wine that night: and the firstborn went in, and lay with her father; and he perceived not when she lay down, nor when she arose.(KJV-1611) Gen 19:33 Menm jou sa a, lè aswè rive, yo fè papa yo bwè diven jouk li sou. Pi gran fi a kouche ak papa l'. Men, papa a te sitèlman sou, li pa t' konn anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 19:34 ============ Gen 19:34 And it came to pass on the morrow, that the firstborn said unto the younger, Behold, I lay yesternight with my father: let us make him drink wine this night also; and go thou in, and lie with him, that we may preserve seed of our father.(KJV-1611) Gen 19:34 Nan denmen, pi gran an di pi piti a. Yèswa, mwen te kouche ak papa m'. Aswè a se tout pa ou: N'ap fè l' bwè diven ankò jouk li sou. Epi w'a al kouche avè l', pou nou de nou kapab fè pitit pou papa nou.(Creole-HT) ======= Genesis 19:35 ============ Gen 19:35 And they made their father drink wine that night also: and the younger arose, and lay with him; and he perceived not when she lay down, nor when she arose.(KJV-1611) Gen 19:35 Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l'. Men, fwa sa a ankò, Lòt pa t' konnen anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 19:36 ============ Gen 19:36 Thus were both the daughters of Lot with child by their father.(KJV-1611) Gen 19:36 Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 19:37 ============ Gen 19:37 And the first born bare a son, and called his name Moab: the same is the father of the Moabites unto this day.(KJV-1611) Gen 19:37 Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Genesis 19:38 ============ Gen 19:38 And the younger, she also bare a son, and called his name Benammi: the same is the father of the children of Ammon unto this day.(KJV-1611) Gen 19:38 Pi piti a tout fè yon pitit gason. Li rele l' Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Genesis 20:1 ============ Gen 20:1 And Abraham journeyed from thence toward the south country, and dwelled between Kadesh and Shur, and sojourned in Gerar.(KJV-1611) Gen 20:1 Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a,(Creole-HT) ======= Genesis 20:2 ============ Gen 20:2 And Abraham said of Sarah his wife, She is my sister: and Abimelech king of Gerar sent, and took Sarah.(KJV-1611) Gen 20:2 li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li.(Creole-HT) ======= Genesis 20:3 ============ Gen 20:3 But God came to Abimelech in a dream by night, and said to him, Behold, thou art but a dead man, for the woman which thou hast taken; for she is a man's wife.(KJV-1611) Gen 20:3 Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye.(Creole-HT) ======= Genesis 20:4 ============ Gen 20:4 But Abimelech had not come near her: and he said, LORD, wilt thou slay also a righteous nation?(KJV-1611) Gen 20:4 Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri?(Creole-HT) ======= Genesis 20:5 ============ Gen 20:5 Said he not unto me, She is my sister? and she, even she herself said, He is my brother: in the integrity of my heart and innocency of my hands have I done this.(KJV-1611) Gen 20:5 Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal.(Creole-HT) ======= Genesis 20:6 ============ Gen 20:6 And God said unto him in a dream, Yea, I know that thou didst this in the integrity of thy heart; for I also withheld thee from sinning against me: therefore suffered I thee not to touch her.(KJV-1611) Gen 20:6 Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 20:7 ============ Gen 20:7 Now therefore restore the man his wife; for he is a prophet, and he shall pray for thee, and thou shalt live: and if thou restore her not, know thou that thou shalt surely die, thou, and all that are thine.(KJV-1611) Gen 20:7 Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.(Creole-HT) ======= Genesis 20:8 ============ Gen 20:8 Therefore Abimelech rose early in the morning, and called all his servants, and told all these things in their ears: and the men were sore afraid.(KJV-1611) Gen 20:8 Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 20:9 ============ Gen 20:9 Then Abimelech called Abraham, and said unto him, What hast thou done unto us? and what have I offended thee, that thou hast brought on me and on my kingdom a great sin? thou hast done deeds unto me that ought not to be done.(KJV-1611) Gen 20:9 Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.(Creole-HT) ======= Genesis 20:10 ============ Gen 20:10 And Abimelech said unto Abraham, What sawest thou, that thou hast done this thing?(KJV-1611) Gen 20:10 Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a?(Creole-HT) ======= Genesis 20:11 ============ Gen 20:11 And Abraham said, Because I thought, Surely the fear of God is not in this place; and they will slay me for my wife's sake.(KJV-1611) Gen 20:11 Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 20:12 ============ Gen 20:12 And yet indeed she is my sister; she is the daughter of my father, but not the daughter of my mother; and she became my wife.(KJV-1611) Gen 20:12 Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou.(Creole-HT) ======= Genesis 20:13 ============ Gen 20:13 And it came to pass, when God caused me to wander from my father's house, that I said unto her, This is thy kindness which thou shalt shew unto me; at every place whither we shall come, say of me, He is my brother.(KJV-1611) Gen 20:13 Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye.(Creole-HT) ======= Genesis 20:14 ============ Gen 20:14 And Abimelech took sheep, and oxen, and menservants, and womenservants, and gave them unto Abraham, and restored him Sarah his wife.(KJV-1611) Gen 20:14 Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 20:15 ============ Gen 20:15 And Abimelech said, Behold, my land is before thee: dwell where it pleaseth thee.(KJV-1611) Gen 20:15 Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi.(Creole-HT) ======= Genesis 20:16 ============ Gen 20:16 And unto Sarah he said, Behold, I have given thy brother a thousand pieces of silver: behold, he is to thee a covering of the eyes, unto all that are with thee, and with all other: thus she was reproved.(KJV-1611) Gen 20:16 Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal.(Creole-HT) ======= Genesis 20:17 ============ Gen 20:17 So Abraham prayed unto God: and God healed Abimelech, and his wife, and his maidservants; and they bare children.(KJV-1611) Gen 20:17 (Creole-HT) ======= Genesis 20:18 ============ Gen 20:18 For the LORD had fast closed up all the wombs of the house of Abimelech, because of Sarah Abraham's wife.(KJV-1611) Gen 20:18 Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 21:1 ============ Gen 21:1 And the LORD visited Sarah as he had said, and the LORD did unto Sarah as he had spoken.(KJV-1611) Gen 21:1 Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.(Creole-HT) ======= Genesis 21:2 ============ Gen 21:2 For Sarah conceived, and bare Abraham a son in his old age, at the set time of which God had spoken to him.(KJV-1611) Gen 21:2 Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 21:3 ============ Gen 21:3 And Abraham called the name of his son that was born unto him, whom Sarah bare to him, Isaac.(KJV-1611) Gen 21:3 Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.(Creole-HT) ======= Genesis 21:4 ============ Gen 21:4 And Abraham circumcised his son Isaac being eight days old, as God had commanded him.(KJV-1611) Gen 21:4 Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= Genesis 21:5 ============ Gen 21:5 And Abraham was an hundred years old, when his son Isaac was born unto him.(KJV-1611) Gen 21:5 Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.(Creole-HT) ======= Genesis 21:6 ============ Gen 21:6 And Sarah said, God hath made me to laugh, so that all that hear will laugh with me.(KJV-1611) Gen 21:6 Sara di konsa. Bondye fè m' bagay ki fè m' ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m' tou.(Creole-HT) ======= Genesis 21:7 ============ Gen 21:7 And she said, Who would have said unto Abraham, that Sarah should have given children suck? for I have born him a son in his old age.(KJV-1611) Gen 21:7 Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 21:8 ============ Gen 21:8 And the child grew, and was weaned: and Abraham made a great feast the same day that Isaac was weaned.(KJV-1611) Gen 21:8 Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l' la, Abraram fè yon gwo fèt.(Creole-HT) ======= Genesis 21:9 ============ Gen 21:9 And Sarah saw the son of Hagar the Egyptian, which she had born unto Abraham, mocking.(KJV-1611) Gen 21:9 Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa.(Creole-HT) ======= Genesis 21:10 ============ Gen 21:10 Wherefore she said unto Abraham, Cast out this bondwoman and her son: for the son of this bondwoman shall not be heir with my son, even with Isaac.(KJV-1611) Gen 21:10 Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.(Creole-HT) ======= Genesis 21:11 ============ Gen 21:11 And the thing was very grievous in Abraham's sight because of his son.(KJV-1611) Gen 21:11 Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou.(Creole-HT) ======= Genesis 21:12 ============ Gen 21:12 And God said unto Abraham, Let it not be grievous in thy sight because of the lad, and because of thy bondwoman; in all that Sarah hath said unto thee, hearken unto her voice; for in Isaac shall thy seed be called.(KJV-1611) Gen 21:12 Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 21:13 ============ Gen 21:13 And also of the son of the bondwoman will I make a nation, because he is thy seed.(KJV-1611) Gen 21:13 M'ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M'ap fè l' tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou.(Creole-HT) ======= Genesis 21:14 ============ Gen 21:14 And Abraham rose up early in the morning, and took bread, and a bottle of water, and gave it unto Hagar, putting it on her shoulder, and the child, and sent her away: and she departed, and wandered in the wilderness of Beersheba.(KJV-1611) Gen 21:14 Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.(Creole-HT) ======= Genesis 21:15 ============ Gen 21:15 And the water was spent in the bottle, and she cast the child under one of the shrubs.(KJV-1611) Gen 21:15 Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje.(Creole-HT) ======= Genesis 21:16 ============ Gen 21:16 And she went, and sat her down over against him a good way off, as it were a bow shot: for she said, Let me not see the death of the child. And she sat over against him, and lift up her voice, and wept.(KJV-1611) Gen 21:16 li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.(Creole-HT) ======= Genesis 21:17 ============ Gen 21:17 And God heard the voice of the lad; and the angel of God called to Hagar out of heaven, and said unto her, What aileth thee, Hagar? fear not; for God hath heard the voice of the lad where he is.(KJV-1611) Gen 21:17 Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l' konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.(Creole-HT) ======= Genesis 21:18 ============ Gen 21:18 Arise, lift up the lad, and hold him in thine hand; for I will make him a great nation.(KJV-1611) Gen 21:18 Leve non, pran ti pitit la, kenbe l'. M'ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 21:19 ============ Gen 21:19 And God opened her eyes, and she saw a well of water; and she went, and filled the bottle with water, and gave the lad drink.(KJV-1611) Gen 21:19 Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l'.(Creole-HT) ======= Genesis 21:20 ============ Gen 21:20 And God was with the lad; and he grew, and dwelt in the wilderness, and became an archer.(KJV-1611) Gen 21:20 Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.(Creole-HT) ======= Genesis 21:21 ============ Gen 21:21 And he dwelt in the wilderness of Paran: and his mother took him a wife out of the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 21:21 Se nan dezè Paran li te rete. Manman l' te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Genesis 21:22 ============ Gen 21:22 And it came to pass at that time, that Abimelech and Phichol the chief captain of his host spake unto Abraham, saying, God is with thee in all that thou doest:(KJV-1611) Gen 21:22 Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Genesis 21:23 ============ Gen 21:23 Now therefore swear unto me here by God that thou wilt not deal falsely with me, nor with my son, nor with my son's son: but according to the kindness that I have done unto thee, thou shalt do unto me, and to the land wherein thou hast sojourned.(KJV-1611) Gen 21:23 Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 21:24 ============ Gen 21:24 And Abraham said, I will swear.(KJV-1611) Gen 21:24 Abraram reponn. -M' fè sèman.(Creole-HT) ======= Genesis 21:25 ============ Gen 21:25 And Abraham reproved Abimelech because of a well of water, which Abimelech's servants had violently taken away.(KJV-1611) Gen 21:25 Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs.(Creole-HT) ======= Genesis 21:26 ============ Gen 21:26 And Abimelech said, I wot not who hath done this thing; neither didst thou tell me, neither yet heard I of it, but to day.(KJV-1611) Gen 21:26 Abimelèk di l' -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t' janm di m' anyen sou sa. Se koulye a m'ap tande koze a.(Creole-HT) ======= Genesis 21:27 ============ Gen 21:27 And Abraham took sheep and oxen, and gave them unto Abimelech; and both of them made a covenant.(KJV-1611) Gen 21:27 Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 21:28 ============ Gen 21:28 And Abraham set seven ewe lambs of the flock by themselves.(KJV-1611) Gen 21:28 Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l' yo, li mete yo sou kote.(Creole-HT) ======= Genesis 21:29 ============ Gen 21:29 And Abimelech said unto Abraham, What mean these seven ewe lambs which thou hast set by themselves?(KJV-1611) Gen 21:29 Abimelèk mande l' -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.(Creole-HT) ======= Genesis 21:30 ============ Gen 21:30 And he said, For these seven ewe lambs shalt thou take of my hand, that they may be a witness unto me, that I have digged this well.(KJV-1611) Gen 21:30 Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.(Creole-HT) ======= Genesis 21:31 ============ Gen 21:31 Wherefore he called that place Beersheba; because there they sware both of them.(KJV-1611) Gen 21:31 Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 21:32 ============ Gen 21:32 Thus they made a covenant at Beersheba: then Abimelech rose up, and Phichol the chief captain of his host, and they returned into the land of the Philistines.(KJV-1611) Gen 21:32 Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.(Creole-HT) ======= Genesis 21:33 ============ Gen 21:33 And Abraham planted a grove in Beersheba, and called there on the name of the LORD, the everlasting God.(KJV-1611) Gen 21:33 Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Genesis 21:34 ============ Gen 21:34 And Abraham sojourned in the Philistines' land many days.(KJV-1611) Gen 21:34 Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.(Creole-HT) ======= Genesis 22:1 ============ Gen 22:1 And it came to pass after these things, that God did tempt Abraham, and said unto him, Abraham: and he said, Behold, here I am.(KJV-1611) Gen 22:1 Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!(Creole-HT) ======= Genesis 22:2 ============ Gen 22:2 And he said, Take now thy son, thine only son Isaac, whom thou lovest, and get thee into the land of Moriah; and offer him there for a burnt offering upon one of the mountains which I will tell thee of.(KJV-1611) Gen 22:2 Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 22:3 ============ Gen 22:3 And Abraham rose up early in the morning, and saddled his ass, and took two of his young men with him, and Isaac his son, and clave the wood for the burnt offering, and rose up, and went unto the place of which God had told him.(KJV-1611) Gen 22:3 Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 22:4 ============ Gen 22:4 Then on the third day Abraham lifted up his eyes, and saw the place afar off.(KJV-1611) Gen 22:4 Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'.(Creole-HT) ======= Genesis 22:5 ============ Gen 22:5 And Abraham said unto his young men, Abide ye here with the ass; and I and the lad will go yonder and worship, and come again to you.(KJV-1611) Gen 22:5 Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Genesis 22:6 ============ Gen 22:6 And Abraham took the wood of the burnt offering, and laid it upon Isaac his son; and he took the fire in his hand, and a knife; and they went both of them together.(KJV-1611) Gen 22:6 Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.(Creole-HT) ======= Genesis 22:7 ============ Gen 22:7 And Isaac spake unto Abraham his father, and said, My father: and he said, Here am I, my son. And he said, Behold the fire and the wood: but where is the lamb for a burnt offering?(KJV-1611) Gen 22:7 Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?(Creole-HT) ======= Genesis 22:8 ============ Gen 22:8 And Abraham said, My son, God will provide himself a lamb for a burnt offering: so they went both of them together.(KJV-1611) Gen 22:8 Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.(Creole-HT) ======= Genesis 22:9 ============ Gen 22:9 And they came to the place which God had told him of; and Abraham built an altar there, and laid the wood in order, and bound Isaac his son, and laid him on the altar upon the wood.(KJV-1611) Gen 22:9 Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 22:10 ============ Gen 22:10 And Abraham stretched forth his hand, and took the knife to slay his son.(KJV-1611) Gen 22:10 Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.(Creole-HT) ======= Genesis 22:11 ============ Gen 22:11 And the angel of the LORD called unto him out of heaven, and said, Abraham, Abraham: and he said, Here am I.(KJV-1611) Gen 22:11 Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!(Creole-HT) ======= Genesis 22:12 ============ Gen 22:12 And he said, Lay not thine hand upon the lad, neither do thou any thing unto him: for now I know that thou fearest God, seeing thou hast not withheld thy son, thine only son from me.(KJV-1611) Gen 22:12 Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 22:13 ============ Gen 22:13 And Abraham lifted up his eyes, and looked, and behold behind him a ram caught in a thicket by his horns: and Abraham went and took the ram, and offered him up for a burnt offering in the stead of his son.(KJV-1611) Gen 22:13 Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.(Creole-HT) ======= Genesis 22:14 ============ Gen 22:14 And Abraham called the name of that place Jehovahjireh: as it is said to this day, In the mount of the LORD it shall be seen.(KJV-1611) Gen 22:14 Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.(Creole-HT) ======= Genesis 22:15 ============ Gen 22:15 And the angel of the LORD called unto Abraham out of heaven the second time,(KJV-1611) Gen 22:15 Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Genesis 22:16 ============ Gen 22:16 And said, By myself have I sworn, saith the LORD, for because thou hast done this thing, and hast not withheld thy son, thine only son:(KJV-1611) Gen 22:16 -Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.(Creole-HT) ======= Genesis 22:17 ============ Gen 22:17 That in blessing I will bless thee, and in multiplying I will multiply thy seed as the stars of the heaven, and as the sand which is upon the sea shore; and thy seed shall possess the gate of his enemies;(KJV-1611) Gen 22:17 Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 22:18 ============ Gen 22:18 And in thy seed shall all the nations of the earth be blessed; because thou hast obeyed my voice.(KJV-1611) Gen 22:18 Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 22:19 ============ Gen 22:19 So Abraham returned unto his young men, and they rose up and went together to Beersheba; and Abraham dwelt at Beersheba.(KJV-1611) Gen 22:19 Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l' pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 22:20 ============ Gen 22:20 And it came to pass after these things, that it was told Abraham, saying, Behold, Milcah, she hath also born children unto thy brother Nahor;(KJV-1611) Gen 22:20 Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 22:21 ============ Gen 22:21 Huz his firstborn, and Buz his brother, and Kemuel the father of Aram,(KJV-1611) Gen 22:21 Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,(Creole-HT) ======= Genesis 22:22 ============ Gen 22:22 And Chesed, and Hazo, and Pildash, and Jidlaph, and Bethuel.(KJV-1611) Gen 22:22 Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl.(Creole-HT) ======= Genesis 22:23 ============ Gen 22:23 And Bethuel begat Rebekah: these eight Milcah did bear to Nahor, Abraham's brother.(KJV-1611) Gen 22:23 Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.(Creole-HT) ======= Genesis 22:24 ============ Gen 22:24 And his concubine, whose name was Reumah, she bare also Tebah, and Gaham, and Thahash, and Maachah.(KJV-1611) Gen 22:24 Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.(Creole-HT) ======= Genesis 23:1 ============ Gen 23:1 And Sarah was an hundred and seven and twenty years old: these were the years of the life of Sarah.(KJV-1611) Gen 23:1 Sara viv sanvennsetan .(Creole-HT) ======= Genesis 23:2 ============ Gen 23:2 And Sarah died in Kirjatharba; the same is Hebron in the land of Canaan: and Abraham came to mourn for Sarah, and to weep for her.(KJV-1611) Gen 23:2 Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.(Creole-HT) ======= Genesis 23:3 ============ Gen 23:3 And Abraham stood up from before his dead, and spake unto the sons of Heth, saying,(KJV-1611) Gen 23:3 Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Genesis 23:4 ============ Gen 23:4 I am a stranger and a sojourner with you: give me a possession of a buryingplace with you, that I may bury my dead out of my sight.(KJV-1611) Gen 23:4 -Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'.(Creole-HT) ======= Genesis 23:5 ============ Gen 23:5 And the children of Heth answered Abraham, saying unto him,(KJV-1611) Gen 23:5 Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa:(Creole-HT) ======= Genesis 23:6 ============ Gen 23:6 Hear us, my lord: thou art a mighty prince among us: in the choice of our sepulchres bury thy dead; none of us shall withhold from thee his sepulchre, but that thou mayest bury thy dead.(KJV-1611) Gen 23:6 -Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou.(Creole-HT) ======= Genesis 23:7 ============ Gen 23:7 And Abraham stood up, and bowed himself to the people of the land, even to the children of Heth.(KJV-1611) Gen 23:7 Abraram kanpe. Pa respè pou moun Et yo, li bese tèt li byen ba devan yo.(Creole-HT) ======= Genesis 23:8 ============ Gen 23:8 And he communed with them, saying, If it be your mind that I should bury my dead out of my sight; hear me, and intreat for me to Ephron the son of Zohar,(KJV-1611) Gen 23:8 Li di yo: -Si nou dakò pou m' antere madanm mwen isit la, pou m' wete kadav li devan je m', koute sa m'ap di nou. Nou konnen Efwon, pitit gason Zoka a? Pale avè l' pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 23:9 ============ Gen 23:9 That he may give me the cave of Machpelah, which he hath, which is in the end of his field; for as much money as it is worth he shall give it me for a possession of a buryingplace amongst you.(KJV-1611) Gen 23:9 Mande l' pou l' vann mwen twou wòch Makpela a ki pou li nan bout jaden l' lan. Mande l' pou l' vann mwen li pou pri li vo, pou sa ka sèvi m' simityè isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 23:10 ============ Gen 23:10 And Ephron dwelt among the children of Heth: and Ephron the Hittite answered Abraham in the audience of the children of Heth, even of all that went in at the gate of his city, saying,(KJV-1611) Gen 23:10 Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li:(Creole-HT) ======= Genesis 23:11 ============ Gen 23:11 Nay, my lord, hear me: the field give I thee, and the cave that is therein, I give it thee; in the presence of the sons of my people give I it thee: bury thy dead.(KJV-1611) Gen 23:11 -Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou.(Creole-HT) ======= Genesis 23:12 ============ Gen 23:12 And Abraham bowed down himself before the people of the land.(KJV-1611) Gen 23:12 Men, Abraram bese tèt li byen ba devan moun Et yo.(Creole-HT) ======= Genesis 23:13 ============ Gen 23:13 And he spake unto Ephron in the audience of the people of the land, saying, But if thou wilt give it, I pray thee, hear me: I will give thee money for the field; take it of me, and I will bury my dead there.(KJV-1611) Gen 23:13 Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'.(Creole-HT) ======= Genesis 23:14 ============ Gen 23:14 And Ephron answered Abraham, saying unto him,(KJV-1611) Gen 23:14 Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou:(Creole-HT) ======= Genesis 23:15 ============ Gen 23:15 My lord, hearken unto me: the land is worth four hundred shekels of silver; what is that betwixt me and thee? bury therefore thy dead.(KJV-1611) Gen 23:15 Yon moso tè ki vo katsan pyès lò, pa gen rezon pou n'ap diskite pou sa. Antere madanm ou sou li non!(Creole-HT) ======= Genesis 23:16 ============ Gen 23:16 And Abraham hearkened unto Ephron; and Abraham weighed to Ephron the silver, which he had named in the audience of the sons of Heth, four hundred shekels of silver, current money with the merchant.(KJV-1611) Gen 23:16 Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 23:17 ============ Gen 23:17 And the field of Ephron which was in Machpelah, which was before Mamre, the field, and the cave which was therein, and all the trees that were in the field, that were in all the borders round about, were made sure(KJV-1611) Gen 23:17 Se konsa, moso tè Efwon te gen Makpela a, anfas peyi Manmre a, ansanm ak tout twou wòch la ak tout pyebwa ki nan jaden an, jouk sou lizyè li,(Creole-HT) ======= Genesis 23:18 ============ Gen 23:18 Unto Abraham for a possession in the presence of the children of Heth, before all that went in at the gate of his city.(KJV-1611) Gen 23:18 yo vin pou Abraram, devan tout moun Et yo, devan tout moun ki te bò pòtay la.(Creole-HT) ======= Genesis 23:19 ============ Gen 23:19 And after this, Abraham buried Sarah his wife in the cave of the field of Machpelah before Mamre: the same is Hebron in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 23:19 Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 23:20 ============ Gen 23:20 And the field, and the cave that is therein, were made sure unto Abraham for a possession of a buryingplace by the sons of Heth.(KJV-1611) Gen 23:20 Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 24:1 ============ Gen 24:1 And Abraham was old, and well stricken in age: and the LORD had blessed Abraham in all things.(KJV-1611) Gen 24:1 Abraram te fin vye. Li te antre nan granmoun. Seyè a te beni Abraram nan tout bagay.(Creole-HT) ======= Genesis 24:2 ============ Gen 24:2 And Abraham said unto his eldest servant of his house, that ruled over all that he had, Put, I pray thee, thy hand under my thigh:(KJV-1611) Gen 24:2 Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.(Creole-HT) ======= Genesis 24:3 ============ Gen 24:3 And I will make thee swear by the LORD, the God of heaven, and the God of the earth, that thou shalt not take a wife unto my son of the daughters of the Canaanites, among whom I dwell:(KJV-1611) Gen 24:3 Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:4 ============ Gen 24:4 But thou shalt go unto my country, and to my kindred, and take a wife unto my son Isaac.(KJV-1611) Gen 24:4 Men, se nan peyi pa m' pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:5 ============ Gen 24:5 And the servant said unto him, Peradventure the woman will not be willing to follow me unto this land: must I needs bring thy son again unto the land from whence thou camest?(KJV-1611) Gen 24:5 Domestik la mande l': -Kisa pou m' fè si fi a pa vle kite peyi l' pou l' vin avè m' nan peyi sa a? Eske se pou m' mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te soti a?(Creole-HT) ======= Genesis 24:6 ============ Gen 24:6 And Abraham said unto him, Beware thou that thou bring not my son thither again.(KJV-1611) Gen 24:6 Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a!(Creole-HT) ======= Genesis 24:7 ============ Gen 24:7 The LORD God of heaven, which took me from my father's house, and from the land of my kindred, and which spake unto me, and that sware unto me, saying, Unto thy seed will I give this land; he shall send his angel before thee, and thou shalt take a wife unto my son from thence.(KJV-1611) Gen 24:7 Seyè a, Bondye syèl la, te pran m' fè m' soti lakay papa m' ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m'. Li fè m' sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:8 ============ Gen 24:8 And if the woman will not be willing to follow thee, then thou shalt be clear from this my oath: only bring not my son thither again.(KJV-1611) Gen 24:8 Si madanm lan pa vle vin avè ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m' lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m' lan laba a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:9 ============ Gen 24:9 And the servant put his hand under the thigh of Abraham his master, and sware to him concerning that matter.(KJV-1611) Gen 24:9 Domestik la mete men l' nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l' fè sa l' mande l' fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:10 ============ Gen 24:10 And the servant took ten camels of the camels of his master, and departed; for all the goods of his master were in his hand: and he arose, and went to Mesopotamia, unto the city of Nahor.(KJV-1611) Gen 24:10 Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.(Creole-HT) ======= Genesis 24:11 ============ Gen 24:11 And he made his camels to kneel down without the city by a well of water at the time of the evening, even the time that women go out to draw water.(KJV-1611) Gen 24:11 Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti medam yo tè konn vin tire dlo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:12 ============ Gen 24:12 And he said O LORD God of my master Abraham, I pray thee, send me good speed this day, and shew kindness unto my master Abraham.(KJV-1611) Gen 24:12 Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 24:13 ============ Gen 24:13 Behold, I stand here by the well of water; and the daughters of the men of the city come out to draw water:(KJV-1611) Gen 24:13 Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:14 ============ Gen 24:14 And let it come to pass, that the damsel to whom I shall say, Let down thy pitcher, I pray thee, that I may drink; and she shall say, Drink, and I will give thy camels drink also: let the same be she that thou hast appointed for thy servant Isaac; and thereby shall I know that thou hast shewed kindness unto my master.(KJV-1611) Gen 24:14 Mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m' bwè lèfini l'ap bay chamo m' yo bwè tou, lè m'a di l': Tanpri, bese krich ou a ban m' ti gout dlo pou m' bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre.(Creole-HT) ======= Genesis 24:15 ============ Gen 24:15 And it came to pass, before he had done speaking, that, behold, Rebekah came out, who was born to Bethuel, son of Milcah, the wife of Nahor, Abraham's brother, with her pitcher upon her shoulder.(KJV-1611) Gen 24:15 Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:16 ============ Gen 24:16 And the damsel was very fair to look upon, a virgin, neither had any man known her: and she went down to the well, and filled her pitcher, and came up.(KJV-1611) Gen 24:16 Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute soti deyò.(Creole-HT) ======= Genesis 24:17 ============ Gen 24:17 And the servant ran to meet her, and said, Let me, I pray thee, drink a little water of thy pitcher.(KJV-1611) Gen 24:17 Domestik la kouri al jwenn li, li di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a non.(Creole-HT) ======= Genesis 24:18 ============ Gen 24:18 And she said, Drink, my lord: and she hasted, and let down her pitcher upon her hand, and gave him drink.(KJV-1611) Gen 24:18 Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 24:19 ============ Gen 24:19 And when she had done giving him drink, she said, I will draw water for thy camels also, until they have done drinking.(KJV-1611) Gen 24:19 Lè nonm lan fin bwè, jenn fi a di l': -Mwen pral pran dlo pou chamo ou yo, pou yo ka bwè kont yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:20 ============ Gen 24:20 And she hasted, and emptied her pitcher into the trough, and ran again unto the well to draw water, and drew for all his camels.(KJV-1611) Gen 24:20 Li prese vide rès dlo krich la nan yon ti basen pou chamo yo bwè, epi li kouri desann nan sous la al chache dlo jouk tout chamo yo fin bwè kont yo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:21 ============ Gen 24:21 And the man wondering at her held his peace, to wit whether the LORD had made his journey prosperous or not.(KJV-1611) Gen 24:21 Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l' pa di anyen, li t'ap tann pou l' wè si Seyè a pa t' fè l' vwayaje pou gremesi.(Creole-HT) ======= Genesis 24:22 ============ Gen 24:22 And it came to pass, as the camels had done drinking, that the man took a golden earring of half a shekel weight, and two bracelets for her hands of ten shekels weight of gold;(KJV-1611) Gen 24:22 Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.(Creole-HT) ======= Genesis 24:23 ============ Gen 24:23 And said, Whose daughter art thou? tell me, I pray thee: is there room in thy father's house for us to lodge in?(KJV-1611) Gen 24:23 Epi li mande l': -Pitit ki moun ou ye? Tanpri, di m' non. Eske gen kote lakay papa ou pou m' pase nwit la avèk chamo m' yo?(Creole-HT) ======= Genesis 24:24 ============ Gen 24:24 And she said unto him, I am the daughter of Bethuel the son of Milcah, which she bare unto Nahor.(KJV-1611) Gen 24:24 Jenn fi a reponn: -Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò.(Creole-HT) ======= Genesis 24:25 ============ Gen 24:25 She said moreover unto him, We have both straw and provender enough, and room to lodge in.(KJV-1611) Gen 24:25 Li di l' anko: -Lakay nou, nou gen kont pay zèb pou chamo ou yo. Wa jwenn kote pou ou pase nwit la tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:26 ============ Gen 24:26 And the man bowed down his head, and worshipped the LORD.(KJV-1611) Gen 24:26 Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:27 ============ Gen 24:27 And he said, Blessed be the LORD God of my master Abraham, who hath not left destitute my master of his mercy and his truth: I being in the way, the LORD led me to the house of my master's brethren.(KJV-1611) Gen 24:27 Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an.(Creole-HT) ======= Genesis 24:28 ============ Gen 24:28 And the damsel ran, and told them of her mother's house these things.(KJV-1611) Gen 24:28 Jenn fi a kouri lakay manman l'. Li rakonte tout sa ki te rive.(Creole-HT) ======= Genesis 24:29 ============ Gen 24:29 And Rebekah had a brother, and his name was Laban: and Laban ran out unto the man, unto the well.(KJV-1611) Gen 24:29 Rebeka te gen yon frè yo rele Laban. Laban kouri deyò al jwenn nonm lan bò sous la.(Creole-HT) ======= Genesis 24:30 ============ Gen 24:30 And it came to pass, when he saw the earring and bracelets upon his sister's hands, and when he heard the words of Rebekah his sister, saying, Thus spake the man unto me; that he came unto the man; and, behold, he stood by the camels at the well.(KJV-1611) Gen 24:30 Li te wè zanno a nan nen sè li ak braslè yo nan bra l', li te tande l' ap rakonte sa nonm lan te di l'. Lamenm li al jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:31 ============ Gen 24:31 And he said, Come in, thou blessed of the LORD; wherefore standest thou without? for I have prepared the house, and room for the camels.(KJV-1611) Gen 24:31 Laban di l': -Antre non. Ou se yon nonm Seyè a beni. Poukisa ou rete deyò a konsa? Mwen pare yon kote pou ou nan kay la. Gen plas pou chamo ou yo tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:32 ============ Gen 24:32 And the man came into the house: and he ungirded his camels, and gave straw and provender for the camels, and water to wash his feet, and the men's feet that were with him.(KJV-1611) Gen 24:32 Nonm lan antre nan kay la. Laban desele chamo yo. Li fè ba yo pay ak zèb. Yo pare dlo pou nonm lan lave pye l', ansanm ak moun ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:33 ============ Gen 24:33 And there was set meat before him to eat: but he said, I will not eat, until I have told mine errand. And he said, Speak on.(KJV-1611) Gen 24:33 Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di: -Anvan m' manje, se pou m' di sa m' gen pou m' di a. Laban di l': -Bon. Pale non.(Creole-HT) ======= Genesis 24:34 ============ Gen 24:34 And he said, I am Abraham's servant.(KJV-1611) Gen 24:34 Msye pran lapawòl, li di: -Mwen se domestik Abraram.(Creole-HT) ======= Genesis 24:35 ============ Gen 24:35 And the LORD hath blessed my master greatly; and he is become great: and he hath given him flocks, and herds, and silver, and gold, and menservants, and maidservants, and camels, and asses.(KJV-1611) Gen 24:35 Seyè a voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l' vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik.(Creole-HT) ======= Genesis 24:36 ============ Gen 24:36 And Sarah my master's wife bare a son to my master when she was old: and unto him hath he given all that he hath.(KJV-1611) Gen 24:36 Sara, madanm mèt mwen, te fin vye granmoun lè li te resi fè yon pitit gason pou li. Mèt mwen bay pitit sa a tout sa li genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 24:37 ============ Gen 24:37 And my master made me swear, saying, Thou shalt not take a wife to my son of the daughters of the Canaanites, in whose land I dwell:(KJV-1611) Gen 24:37 Mèt mwen fè m' fè sèman, li di m' piga m' chwazi yon madanm pou pitit gason l' lan nan medam moun peyi Kanaran kote l' rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:38 ============ Gen 24:38 But thou shalt go unto my father's house, and to my kindred, and take a wife unto my son.(KJV-1611) Gen 24:38 Men se pou m ale lakay papa l' pou mwen chwazi yon madanm nan ras li pou pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:39 ============ Gen 24:39 And I said unto my master, Peradventure the woman will not follow me.(KJV-1611) Gen 24:39 Lè sa a, mwen di mèt mwen: Bon, si fi a pa vle vini avè m', kisa pou m' fè?(Creole-HT) ======= Genesis 24:40 ============ Gen 24:40 And he said unto me, The LORD, before whom I walk, will send his angel with thee, and prosper thy way; and thou shalt take a wife for my son of my kindred, and of my father's house:(KJV-1611) Gen 24:40 Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:41 ============ Gen 24:41 Then shalt thou be clear from this my oath, when thou comest to my kindred; and if they give not thee one, thou shalt be clear from my oath.(KJV-1611) Gen 24:41 Si ou fè sa, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan. Konsa tou, si ou rive kay fanmi m', si yo menm yo refize, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:42 ============ Gen 24:42 And I came this day unto the well, and said, O LORD God of my master Abraham, if now thou do prosper my way which I go:(KJV-1611) Gen 24:42 Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.(Creole-HT) ======= Genesis 24:43 ============ Gen 24:43 Behold, I stand by the well of water; and it shall come to pass, that when the virgin cometh forth to draw water, and I say to her, Give me, I pray thee, a little water of thy pitcher to drink;(KJV-1611) Gen 24:43 Gade, m'ap rete kanpe bò sous dlo a. Lè m'a wè yon jenn fi k'ap vin chache dlo nan pi a, m'a va di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a pou m' bwè. Si li reponn mwen:(Creole-HT) ======= Genesis 24:44 ============ Gen 24:44 And she say to me, Both drink thou, and I will also draw for thy camels: let the same be the woman whom the LORD hath appointed out for my master's son.(KJV-1611) Gen 24:44 Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an.(Creole-HT) ======= Genesis 24:45 ============ Gen 24:45 And before I had done speaking in mine heart, behold, Rebekah came forth with her pitcher on her shoulder; and she went down unto the well, and drew water: and I said unto her, Let me drink, I pray thee.(KJV-1611) Gen 24:45 Mwen pa t' menm fin di pawòl sa yo nan kè m', lè m' wè Rebeka rive ak krich li sou zepòl li. Li desann nan sous la, li pran dlo epi mwen di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 24:46 ============ Gen 24:46 And she made haste, and let down her pitcher from her shoulder, and said, Drink, and I will give thy camels drink also: so I drank, and she made the camels drink also.(KJV-1611) Gen 24:46 Lamenm, li desann krich la soti sou zepòl li, li di m': Bwè non. Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou. Mwen bwè, epi li bay chamo m' yo bwè tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:47 ============ Gen 24:47 And I asked her, and said, Whose daughter art thou? And she said, the daughter of Bethuel, Nahor's son, whom Milcah bare unto him: and I put the earring upon her face, and the bracelets upon her hands.(KJV-1611) Gen 24:47 Mwen mande l': Pitit ki moun ou ye? Li reponn mwen: Mwen se pitit fi Betwèl, pitit gason Milka ak Nakò. Lè sa a, mwen mete zanno a nan nen l', mwen mete braslè sa yo nan bra l'.(Creole-HT) ======= Genesis 24:48 ============ Gen 24:48 And I bowed down my head, and worshipped the LORD, and blessed the LORD God of my master Abraham, which had led me in the right way to take my master's brother's daughter unto his son.(KJV-1611) Gen 24:48 Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Seyè a, mwen fè lwanj Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m' tout dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 24:49 ============ Gen 24:49 And now if ye will deal kindly and truly with my master, tell me: and if not, tell me; that I may turn to the right hand, or to the left.(KJV-1611) Gen 24:49 Alèkile, si nou vle aji byen avè l', si nou vle fè l' konfyans, fè m' konnen. Si nou pa dakò, fè m' konnen tou, pou m' ka konnen sa pou m' fè.(Creole-HT) ======= Genesis 24:50 ============ Gen 24:50 Then Laban and Bethuel answered and said, The thing proceedeth from the LORD: we cannot speak unto thee bad or good.(KJV-1611) Gen 24:50 Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa.(Creole-HT) ======= Genesis 24:51 ============ Gen 24:51 Behold, Rebekah is before thee, take her, and go, and let her be thy master's son's wife, as the LORD hath spoken.(KJV-1611) Gen 24:51 Men Rebeka devan ou, pran li, mennen l' ale pou l' vin madanm pitit gason mèt ou a, jan Bondye te di l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 24:52 ============ Gen 24:52 And it came to pass, that, when Abraham's servant heard their words, he worshipped the LORD, bowing himself to the earth.(KJV-1611) Gen 24:52 Lè domestik Abraram lan tande sa, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:53 ============ Gen 24:53 And the servant brought forth jewels of silver, and jewels of gold, and raiment, and gave them to Rebekah: he gave also to her brother and to her mother precious things.(KJV-1611) Gen 24:53 Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.(Creole-HT) ======= Genesis 24:54 ============ Gen 24:54 And they did eat and drink, he and the men that were with him, and tarried all night; and they rose up in the morning, and he said, Send me away unto my master.(KJV-1611) Gen 24:54 Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di: -Kite m' tounen al jwenn mèt mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 24:55 ============ Gen 24:55 And her brother and her mother said, Let the damsel abide with us a few days, at the least ten; after that she shall go.(KJV-1611) Gen 24:55 Men, frè a avèk manman an di konsa: -Kite fi a pase dis jou ankò avèk nou non. Apre sa, n'a pati.(Creole-HT) ======= Genesis 24:56 ============ Gen 24:56 And he said unto them, Hinder me not, seeing the LORD hath prospered my way; send me away that I may go to my master.(KJV-1611) Gen 24:56 Li reponn yo: -Pa ban m' reta. Seyè a pa fè m' vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m' al jwenn mèt mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 24:57 ============ Gen 24:57 And they said, We will call the damsel, and enquire at her mouth.(KJV-1611) Gen 24:57 Yo di l': -Bon. Ann rele fi a. Ann mande l' sa l' di nan sa.(Creole-HT) ======= Genesis 24:58 ============ Gen 24:58 And they called Rebekah, and said unto her, Wilt thou go with this man? And she said, I will go.(KJV-1611) Gen 24:58 Yo rele Rebeka, yo mande l': -Eske ou vle ale ak nonm sa a? Li reponn: -Wi, mwen vle ale.(Creole-HT) ======= Genesis 24:59 ============ Gen 24:59 And they sent away Rebekah their sister, and her nurse, and Abraham's servant, and his men.(KJV-1611) Gen 24:59 Se konsa yo kite Rebeka, sè yo a, ansanm ak bòn ki te nouris li a pati avèk domestik Abraram lan, ansanm ak moun ki te vin avè l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:60 ============ Gen 24:60 And they blessed Rebekah, and said unto her, Thou art our sister, be thou the mother of thousands of millions, and let thy seed possess the gate of those which hate them.(KJV-1611) Gen 24:60 Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 24:61 ============ Gen 24:61 And Rebekah arose, and her damsels, and they rode upon the camels, and followed the man: and the servant took Rebekah, and went his way.(KJV-1611) Gen 24:61 Apre sa, Rebeka avèk tout sèvant li yo leve, yo moute chamo yo, yo pati avèk nonm lan. Domestik la pran l', li pati ak li.(Creole-HT) ======= Genesis 24:62 ============ Gen 24:62 And Isaac came from the way of the well Lahairoi; for he dwelt in the south country.(KJV-1611) Gen 24:62 Lè sa a, Izarak te vini nan dezè a, bò kote Pi moun vivan ki wè m' lan. Li te rete nan peyi Negèv.(Creole-HT) ======= Genesis 24:63 ============ Gen 24:63 And Isaac went out to meditate in the field at the eventide: and he lifted up his eyes, and saw, and, behold, the camels were coming.(KJV-1611) Gen 24:63 Yon jou swa, Izarak t'ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t'ap kalkile. Li leve je l', li gade, li wè kèk chamo ki t'ap vini.(Creole-HT) ======= Genesis 24:64 ============ Gen 24:64 And Rebekah lifted up her eyes, and when she saw Isaac, she lighted off the camel.(KJV-1611) Gen 24:64 Menm lè a tou, Rebeka leve je l', li wè Izarak. Li desann chamo a.(Creole-HT) ======= Genesis 24:65 ============ Gen 24:65 For she had said unto the servant, What man is this that walketh in the field to meet us? And the servant had said, It is my master: therefore she took a vail, and covered herself.(KJV-1611) Gen 24:65 Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 24:66 ============ Gen 24:66 And the servant told Isaac all things that he had done.(KJV-1611) Gen 24:66 Domestik la rakonte Izarak tout sa li te fè.(Creole-HT) ======= Genesis 24:67 ============ Gen 24:67 And Isaac brought her into his mother Sarah's tent, and took Rebekah, and she became his wife; and he loved her: and Isaac was comforted after his mother's death.(KJV-1611) Gen 24:67 Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 25:1 ============ Gen 25:1 Then again Abraham took a wife, and her name was Keturah.(KJV-1611) Gen 25:1 Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura.(Creole-HT) ======= Genesis 25:2 ============ Gen 25:2 And she bare him Zimran, and Jokshan, and Medan, and Midian, and Ishbak, and Shuah.(KJV-1611) Gen 25:2 Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak.(Creole-HT) ======= Genesis 25:3 ============ Gen 25:3 And Jokshan begat Sheba, and Dedan. And the sons of Dedan were Asshurim, and Letushim, and Leummim.(KJV-1611) Gen 25:3 Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 25:4 ============ Gen 25:4 And the sons of Midian; Ephah, and Epher, and Hanoch, and Abidah, and Eldaah. All these were the children of Keturah.(KJV-1611) Gen 25:4 Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.(Creole-HT) ======= Genesis 25:5 ============ Gen 25:5 And Abraham gave all that he had unto Isaac.(KJV-1611) Gen 25:5 Abraram kite tout byen l' yo pou Izarak.(Creole-HT) ======= Genesis 25:6 ============ Gen 25:6 But unto the sons of the concubines, which Abraham had, Abraham gave gifts, and sent them away from Isaac his son, while he yet lived, eastward, unto the east country.(KJV-1611) Gen 25:6 Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.(Creole-HT) ======= Genesis 25:7 ============ Gen 25:7 And these are the days of the years of Abraham's life which he lived, an hundred threescore and fifteen years.(KJV-1611) Gen 25:7 Abraram te viv sanswasannkenzan .(Creole-HT) ======= Genesis 25:8 ============ Gen 25:8 Then Abraham gave up the ghost, and died in a good old age, an old man, and full of years; and was gathered to his people.(KJV-1611) Gen 25:8 Abraram te fin granmoun, li te wè kont jou l', li te pase vye jou l' yo san pwoblèm. Apre sa li mouri, li al jwenn moun li yo ki te mouri deja.(Creole-HT) ======= Genesis 25:9 ============ Gen 25:9 And his sons Isaac and Ishmael buried him in the cave of Machpelah, in the field of Ephron the son of Zohar the Hittite, which is before Mamre;(KJV-1611) Gen 25:9 Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre.(Creole-HT) ======= Genesis 25:10 ============ Gen 25:10 The field which Abraham purchased of the sons of Heth: there was Abraham buried, and Sarah his wife.(KJV-1611) Gen 25:10 Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li.(Creole-HT) ======= Genesis 25:11 ============ Gen 25:11 And it came to pass after the death of Abraham, that God blessed his son Isaac; and Isaac dwelt by the well Lahairoi.(KJV-1611) Gen 25:11 Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l' lan, ki te rete toupre Pi moun vivan ki wè m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 25:12 ============ Gen 25:12 Now these are the generations of Ishmael, Abraham's son, whom Hagar the Egyptian, Sarah's handmaid, bare unto Abraham:(KJV-1611) Gen 25:12 Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram.(Creole-HT) ======= Genesis 25:13 ============ Gen 25:13 And these are the names of the sons of Ishmael, by their names, according to their generations: the firstborn of Ishmael, Nebajoth; and Kedar, and Adbeel, and Mibsam,(KJV-1611) Gen 25:13 Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam,(Creole-HT) ======= Genesis 25:14 ============ Gen 25:14 And Mishma, and Dumah, and Massa,(KJV-1611) Gen 25:14 Michma, Douma, Masa,(Creole-HT) ======= Genesis 25:15 ============ Gen 25:15 Hadar, and Tema, Jetur, Naphish, and Kedemah:(KJV-1611) Gen 25:15 Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma.(Creole-HT) ======= Genesis 25:16 ============ Gen 25:16 These are the sons of Ishmael, and these are their names, by their towns, and by their castles; twelve princes according to their nations.(KJV-1611) Gen 25:16 Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 25:17 ============ Gen 25:17 And these are the years of the life of Ishmael, an hundred and thirty and seven years: and he gave up the ghost and died; and was gathered unto his people.(KJV-1611) Gen 25:17 Izmayèl te gen santrannsetan lè l' mouri. Y al antere l' menm kote ak moun li yo ki te mouri deja.(Creole-HT) ======= Genesis 25:18 ============ Gen 25:18 And they dwelt from Havilah unto Shur, that is before Egypt, as thou goest toward Assyria: and he died in the presence of all his brethren.(KJV-1611) Gen 25:18 Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 25:19 ============ Gen 25:19 And these are the generations of Isaac, Abraham's son: Abraham begat Isaac:(KJV-1611) Gen 25:19 Men istwa Izarak, pitit Abraram.(Creole-HT) ======= Genesis 25:20 ============ Gen 25:20 And Isaac was forty years old when he took Rebekah to wife, the daughter of Bethuel the Syrian of Padanaram, the sister to Laban the Syrian.(KJV-1611) Gen 25:20 Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram.(Creole-HT) ======= Genesis 25:21 ============ Gen 25:21 And Isaac intreated the LORD for his wife, because she was barren: and the LORD was intreated of him, and Rebekah his wife conceived.(KJV-1611) Gen 25:21 Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.(Creole-HT) ======= Genesis 25:22 ============ Gen 25:22 And the children struggled together within her; and she said, If it be so, why am I thus? And she went to enquire of the LORD.(KJV-1611) Gen 25:22 De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: -Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? li al lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= Genesis 25:23 ============ Gen 25:23 And the LORD said unto her, Two nations are in thy womb, and two manner of people shall be separated from thy bowels; and the one people shall be stronger than the other people; and the elder shall serve the younger.(KJV-1611) Gen 25:23 Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.(Creole-HT) ======= Genesis 25:24 ============ Gen 25:24 And when her days to be delivered were fulfilled, behold, there were twins in her womb.(KJV-1611) Gen 25:24 Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa.(Creole-HT) ======= Genesis 25:25 ============ Gen 25:25 And the first came out red, all over like an hairy garment; and they called his name Esau.(KJV-1611) Gen 25:25 Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 25:26 ============ Gen 25:26 And after that came his brother out, and his hand took hold on Esau's heel; and his name was called Jacob: and Isaac was threescore years old when she bare them.(KJV-1611) Gen 25:26 Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt.(Creole-HT) ======= Genesis 25:27 ============ Gen 25:27 And the boys grew: and Esau was a cunning hunter, a man of the field; and Jacob was a plain man, dwelling in tents.(KJV-1611) Gen 25:27 Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.(Creole-HT) ======= Genesis 25:28 ============ Gen 25:28 And Isaac loved Esau, because he did eat of his venison: but Rebekah loved Jacob.(KJV-1611) Gen 25:28 Izarak te pito Ezaou, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 25:29 ============ Gen 25:29 And Jacob sod pottage: and Esau came from the field, and he was faint:(KJV-1611) Gen 25:29 Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezaou antre sot nan jaden, li te bouke anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 25:30 ============ Gen 25:30 And Esau said to Jacob, Feed me, I pray thee, with that same red pottage; for I am faint: therefore was his name called Edom.(KJV-1611) Gen 25:30 Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.(Creole-HT) ======= Genesis 25:31 ============ Gen 25:31 And Jacob said, Sell me this day thy birthright.(KJV-1611) Gen 25:31 Men Jakòb di l': -M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 25:32 ============ Gen 25:32 And Esau said, Behold, I am at the point to die: and what profit shall this birthright do to me?(KJV-1611) Gen 25:32 Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'?(Creole-HT) ======= Genesis 25:33 ============ Gen 25:33 And Jacob said, Swear to me this day; and he sware unto him: and he sold his birthright unto Jacob.(KJV-1611) Gen 25:33 Jakòb di li: -Fè m' sèman anvan. Ezaou fè sèman ba li, li vann li dwa l' kòm premye pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 25:34 ============ Gen 25:34 Then Jacob gave Esau bread and pottage of lentiles; and he did eat and drink, and rose up, and went his way: thus Esau despised his birthright.(KJV-1611) Gen 25:34 Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezaou manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezaou te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 26:1 ============ Gen 26:1 And there was a famine in the land, beside the first famine that was in the days of Abraham. And Isaac went unto Abimelech king of the Philistines unto Gerar.(KJV-1611) Gen 26:1 Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= Genesis 26:2 ============ Gen 26:2 And the LORD appeared unto him, and said, Go not down into Egypt; dwell in the land which I shall tell thee of:(KJV-1611) Gen 26:2 Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:3 ============ Gen 26:3 Sojourn in this land, and I will be with thee, and will bless thee; for unto thee, and unto thy seed, I will give all these countries, and I will perform the oath which I sware unto Abraham thy father;(KJV-1611) Gen 26:3 W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.(Creole-HT) ======= Genesis 26:4 ============ Gen 26:4 And I will make thy seed to multiply as the stars of heaven, and will give unto thy seed all these countries; and in thy seed shall all the nations of the earth be blessed;(KJV-1611) Gen 26:4 M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Genesis 26:5 ============ Gen 26:5 Because that Abraham obeyed my voice, and kept my charge, my commandments, my statutes, and my laws.(KJV-1611) Gen 26:5 tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.(Creole-HT) ======= Genesis 26:6 ============ Gen 26:6 And Isaac dwelt in Gerar:(KJV-1611) Gen 26:6 Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:7 ============ Gen 26:7 And the men of the place asked him of his wife; and he said, She is my sister: for he feared to say, She is my wife; lest, said he, the men of the place should kill me for Rebekah; because she was fair to look upon.(KJV-1611) Gen 26:7 Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 26:8 ============ Gen 26:8 And it came to pass, when he had been there a long time, that Abimelech king of the Philistines looked out at a window, and saw, and, behold, Isaac was sporting with Rebekah his wife.(KJV-1611) Gen 26:8 Izarak te gen kèk tan depi l' te rete la. Yon jou, Abimelek, wa moun Filisti yo, t'ap gade nan fennèt li, li te wè Izarak ki t'ap pase men sou Rebeka, madanm li.(Creole-HT) ======= Genesis 26:9 ============ Gen 26:9 And Abimelech called Isaac, and said, Behold, of a surety she is thy wife; and how saidst thou, She is my sister? And Isaac said unto him, Because I said, Lest I die for her.(KJV-1611) Gen 26:9 Lè sa a, Abimelèk voye chache Izarak. Li di l' konsa: -Gade non, monchè, se madanm ou li ye! Poukisa ou di se sè ou li ye! Izarak reponn li: -Mwen te di sa paske mwen te kwè yo ta ka touye m', si m' te di se madanm mwen li ye.(Creole-HT) ======= Genesis 26:10 ============ Gen 26:10 And Abimelech said, What is this thou hast done unto us? one of the people might lightly have lien with thy wife, and thou shouldest have brought guiltiness upon us.(KJV-1611) Gen 26:10 Abimelèk di l': -Kisa ou fè nou konsa? Yonn nan mesye nou yo ta ka byen rive kouche avèk madanm ou! Se ou ki ta lakòz nou fè peche sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:11 ============ Gen 26:11 And Abimelech charged all his people, saying, He that toucheth this man or his wife shall surely be put to death.(KJV-1611) Gen 26:11 Se konsa Abimelèk pase lòd sa a bay tout pèp la: -Si yon moun manyen nonm sa a, osinon madanm li, y'ap touye l'.(Creole-HT) ======= Genesis 26:12 ============ Gen 26:12 Then Isaac sowed in that land, and received in the same year an hundredfold: and the LORD blessed him.(KJV-1611) Gen 26:12 Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.(Creole-HT) ======= Genesis 26:13 ============ Gen 26:13 And the man waxed great, and went forward, and grew until he became very great:(KJV-1611) Gen 26:13 Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 26:14 ============ Gen 26:14 For he had possession of flocks, and possession of herds, and great store of servants: and the Philistines envied him.(KJV-1611) Gen 26:14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.(Creole-HT) ======= Genesis 26:15 ============ Gen 26:15 For all the wells which his father's servants had digged in the days of Abraham his father, the Philistines had stopped them, and filled them with earth.(KJV-1611) Gen 26:15 Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè.(Creole-HT) ======= Genesis 26:16 ============ Gen 26:16 And Abimelech said unto Isaac, Go from us; for thou art much mightier than we.(KJV-1611) Gen 26:16 Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.(Creole-HT) ======= Genesis 26:17 ============ Gen 26:17 And Isaac departed thence, and pitched his tent in the valley of Gerar, and dwelt there.(KJV-1611) Gen 26:17 Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.(Creole-HT) ======= Genesis 26:18 ============ Gen 26:18 And Isaac digged again the wells of water, which they had digged in the days of Abraham his father; for the Philistines had stopped them after the death of Abraham: and he called their names after the names by which his father had called them.(KJV-1611) Gen 26:18 Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:19 ============ Gen 26:19 And Isaac's servants digged in the valley, and found there a well of springing water.(KJV-1611) Gen 26:19 Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.(Creole-HT) ======= Genesis 26:20 ============ Gen 26:20 And the herdmen of Gerar did strive with Isaac's herdmen, saying, The water is ours: and he called the name of the well Esek; because they strove with him.(KJV-1611) Gen 26:20 Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:21 ============ Gen 26:21 And they digged another well, and strove for that also: and he called the name of it Sitnah.(KJV-1611) Gen 26:21 Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.(Creole-HT) ======= Genesis 26:22 ============ Gen 26:22 And he removed from thence, and digged another well; and for that they strove not: and he called the name of it Rehoboth; and he said, For now the LORD hath made room for us, and we shall be fruitful in the land.(KJV-1611) Gen 26:22 Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:23 ============ Gen 26:23 And he went up from thence to Beersheba.(KJV-1611) Gen 26:23 Izarak pati, li moute Bècheba.(Creole-HT) ======= Genesis 26:24 ============ Gen 26:24 And the LORD appeared unto him the same night, and said, I am the God of Abraham thy father: fear not, for I am with thee, and will bless thee, and multiply thy seed for my servant Abraham's sake.(KJV-1611) Gen 26:24 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 26:25 ============ Gen 26:25 And he builded an altar there, and called upon the name of the LORD, and pitched his tent there: and there Isaac's servants digged a well.(KJV-1611) Gen 26:25 Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.(Creole-HT) ======= Genesis 26:26 ============ Gen 26:26 Then Abimelech went to him from Gerar, and Ahuzzath one of his friends, and Phichol the chief captain of his army.(KJV-1611) Gen 26:26 Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a.(Creole-HT) ======= Genesis 26:27 ============ Gen 26:27 And Isaac said unto them, Wherefore come ye to me, seeing ye hate me, and have sent me away from you?(KJV-1611) Gen 26:27 Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!(Creole-HT) ======= Genesis 26:28 ============ Gen 26:28 And they said, We saw certainly that the LORD was with thee: and we said, Let there be now an oath betwixt us, even betwixt us and thee, and let us make a covenant with thee;(KJV-1611) Gen 26:28 Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 26:29 ============ Gen 26:29 That thou wilt do us no hurt, as we have not touched thee, and as we have done unto thee nothing but good, and have sent thee away in peace: thou art now the blessed of the LORD.(KJV-1611) Gen 26:29 W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 26:30 ============ Gen 26:30 And he made them a feast, and they did eat and drink.(KJV-1611) Gen 26:30 Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 26:31 ============ Gen 26:31 And they rose up betimes in the morning, and sware one to another: and Isaac sent them away, and they departed from him in peace.(KJV-1611) Gen 26:31 Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.(Creole-HT) ======= Genesis 26:32 ============ Gen 26:32 And it came to pass the same day, that Isaac's servants came, and told him concerning the well which they had digged, and said unto him, We have found water.(KJV-1611) Gen 26:32 Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.(Creole-HT) ======= Genesis 26:33 ============ Gen 26:33 And he called it Shebah: therefore the name of the city is Beersheba unto this day.(KJV-1611) Gen 26:33 Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.(Creole-HT) ======= Genesis 26:34 ============ Gen 26:34 And Esau was forty years old when he took to wife Judith the daughter of Beeri the Hittite, and Bashemath the daughter of Elon the Hittite:(KJV-1611) Gen 26:34 Ezaou te gen karantan lè l' marye ak Jidit, pitit fi Beri, yon moun Et. Li te gen yon lòt madanm tout yo te rele Basmat, pitit fi Elon, yon moun Et tou.(Creole-HT) ======= Genesis 26:35 ============ Gen 26:35 Which were a grief of mind unto Isaac and to Rebekah.(KJV-1611) Gen 26:35 Medam sa yo te rann Izarak ak Rebeka lavi minab.(Creole-HT) ======= Genesis 27:1 ============ Gen 27:1 And it came to pass, that when Isaac was old, and his eyes were dim, so that he could not see, he called Esau his eldest son, and said unto him, My son: and he said unto him, Behold, here am I.(KJV-1611) Gen 27:1 Izarak te fin vye granmoun, je l' pa t' bon, li pa t' kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezaou, li di l' konsa: -Pitit mwen, Ezaou reponn li: -Men mwen wi, papa.(Creole-HT) ======= Genesis 27:2 ============ Gen 27:2 And he said, Behold now, I am old, I know not the day of my death:(KJV-1611) Gen 27:2 Izarak di l': -Ou wè jan m' fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 27:3 ============ Gen 27:3 Now therefore take, I pray thee, thy weapons, thy quiver and thy bow, and go out to the field, and take me some venison;(KJV-1611) Gen 27:3 Tanpri, pran zam ou yo, flèch ou yo ak banza ou la. Ale nan bwa a, chase jibye pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 27:4 ============ Gen 27:4 And make me savoury meat, such as I love, and bring it to me, that I may eat; that my soul may bless thee before I die.(KJV-1611) Gen 27:4 Lèfini, pare vyann lan jan ou konnen mwen renmen l' lan, pote l' ban mwen. m'a manje. Epi m'a ba ou benediksyon mwen anvan m' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 27:5 ============ Gen 27:5 And Rebekah heard when Isaac spake to Esau his son. And Esau went to the field to hunt for venison, and to bring it.(KJV-1611) Gen 27:5 Rebeka menm t'ap tande sa Izarak t'ap di Ezaou, gason l' lan. Ezaou soti, li pati li al lachas pou papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 27:6 ============ Gen 27:6 And Rebekah spake unto Jacob her son, saying, Behold, I heard thy father speak unto Esau thy brother, saying,(KJV-1611) Gen 27:6 Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a: -Men mwen fèk tande papa ou di Ezaou, frè ou la:(Creole-HT) ======= Genesis 27:7 ============ Gen 27:7 Bring me venison, and make me savoury meat, that I may eat, and bless thee before the LORD before my death.(KJV-1611) Gen 27:7 Al chase jibye pote pou mwen, kwit li, m'a manje. Apre sa, m'a beni ou devan Seyè a anvan m' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 27:8 ============ Gen 27:8 Now therefore, my son, obey my voice according to that which I command thee.(KJV-1611) Gen 27:8 Koulye a, pitit mwen, koute sa m'ap di ou: Fè sa m'ap mande ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 27:9 ============ Gen 27:9 Go now to the flock, and fetch me from thence two good kids of the goats; and I will make them savoury meat for thy father, such as he loveth:(KJV-1611) Gen 27:9 Ale pran de jenn kabrit byen gra nan bann lan, pote yo ban mwen. m'a pare yo pou papa ou jan m' konnen li renmen l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 27:10 ============ Gen 27:10 And thou shalt bring it to thy father, that he may eat, and that he may bless thee before his death.(KJV-1611) Gen 27:10 W'a pote l' bay papa ou, la manje, la beni ou anvan l' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 27:11 ============ Gen 27:11 And Jacob said to Rebekah his mother, Behold, Esau my brother is a hairy man, and I am a smooth man:(KJV-1611) Gen 27:11 Jakòb reponn manman l': -Men manman, Ezaou, frè mwen an, gen pwal sou tout kò li. Mwen menm, po pa m' lis.(Creole-HT) ======= Genesis 27:12 ============ Gen 27:12 My father peradventure will feel me, and I shall seem to him as a deceiver; and I shall bring a curse upon me, and not a blessing.(KJV-1611) Gen 27:12 Si papa m' manyen m', la wè se twonpe m'ap twonpe l'. Lè sa a pase li ban mwen benediksyon, la ban m' madichon pito.(Creole-HT) ======= Genesis 27:13 ============ Gen 27:13 And his mother said unto him, Upon me be thy curse, my son: only obey my voice, and go fetch me them.(KJV-1611) Gen 27:13 Men manman an reponn: -Madichon la ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 27:14 ============ Gen 27:14 And he went, and fetched, and brought them to his mother: and his mother made savoury meat, such as his father loved.(KJV-1611) Gen 27:14 Jakòb ale chache bèt yo, li mennen yo bay manman l'. Manman l' pare yon manje jan li konnen papa a te renmen l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 27:15 ============ Gen 27:15 And Rebekah took goodly raiment of her eldest son Esau, which were with her in the house, and put them upon Jacob her younger son:(KJV-1611) Gen 27:15 Apre sa, Rebeka pran rad Ezaou, premye pitit li a, pi bèl rad Ezaou te gen lakay la, li mete yo anwo Jakòb, dezyèm pitit li a.(Creole-HT) ======= Genesis 27:16 ============ Gen 27:16 And she put the skins of the kids of the goats upon his hands, and upon the smooth of his neck:(KJV-1611) Gen 27:16 Avèk po ti kabrit yo, li kouvri bra ak kou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 27:17 ============ Gen 27:17 And she gave the savoury meat and the bread, which she had prepared, into the hand of her son Jacob.(KJV-1611) Gen 27:17 Apre sa, li bay Jakòb manje a avèk pen li te fè.(Creole-HT) ======= Genesis 27:18 ============ Gen 27:18 And he came unto his father, and said, My father: and he said, Here am I; who art thou, my son?(KJV-1611) Gen 27:18 Jakòb al jwenn papa l', li di: -Papa. Izarak reponn li: -Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a?(Creole-HT) ======= Genesis 27:19 ============ Gen 27:19 And Jacob said unto his father, I am Esau thy first born; I have done according as thou badest me: arise, I pray thee, sit and eat of my venison, that thy soul may bless me.(KJV-1611) Gen 27:19 Jakòb reponn: -Se mwen menm Ezaou, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m' fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, wa ban mwen benediksyon.(Creole-HT) ======= Genesis 27:20 ============ Gen 27:20 And Isaac said unto his son, How is it that thou hast found it so quickly, my son? And he said, Because the LORD thy God brought it to me.(KJV-1611) Gen 27:20 Izarak di Jakòb: -Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: -Seyè a, Bondye ou la, ede m'. Li fè jibye a vin devan mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 27:21 ============ Gen 27:21 And Isaac said unto Jacob, Come near, I pray thee, that I may feel thee, my son, whether thou be my very son Esau or not.(KJV-1611) Gen 27:21 Izarak di: -Pwoche non. Vini mwen manyen ou, pitit mwen, pou m' wè si wi ou non ou se Ezaou, pitit mwen an.(Creole-HT) ======= Genesis 27:22 ============ Gen 27:22 And Jacob went near unto Isaac his father; and he felt him, and said, The voice is Jacob's voice, but the hands are the hands of Esau.(KJV-1611) Gen 27:22 Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l', ki manyen l'. Epi Izarak di: -Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 27:23 ============ Gen 27:23 And he discerned him not, because his hands were hairy, as his brother Esau's hands: so he blessed him.(KJV-1611) Gen 27:23 Li pa t' rekonèt Jakòb, paske bra li te plen pwal tankou bra Ezaou, frè li a. Izarak beni l'.(Creole-HT) ======= Genesis 27:24 ============ Gen 27:24 And he said, Art thou my very son Esau? And he said, I am.(KJV-1611) Gen 27:24 Li di l': -Se vre, se Ezaou, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: -Se mwen wi.(Creole-HT) ======= Genesis 27:25 ============ Gen 27:25 And he said, Bring it near to me, and I will eat of my son's venison, that my soul may bless thee. And he brought it near to him, and he did eat: and he brought him wine and he drank.(KJV-1611) Gen 27:25 Izarak di l': -Sèvi m' non. m'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l' manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 27:26 ============ Gen 27:26 And his father Isaac said unto him, Come near now, and kiss me, my son.(KJV-1611) Gen 27:26 Izarak, papa l', di l': -Pwoche non, pitit mwen. vin bo m'.(Creole-HT) ======= Genesis 27:27 ============ Gen 27:27 And he came near, and kissed him: and he smelled the smell of his raiment, and blessed him, and said, See, the smell of my son is as the smell of a field which the LORD hath blessed:(KJV-1611) Gen 27:27 Jakòb pwoche, li bo papa l'. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l'. Li di l': -Sant kò pitit mwen an tankou sant yon jaden Seyè a beni.(Creole-HT) ======= Genesis 27:28 ============ Gen 27:28 Therefore God give thee of the dew of heaven, and the fatness of the earth, and plenty of corn and wine:(KJV-1611) Gen 27:28 Se pou Bondye ba ou lawouze ki soti nan syèl la. Se pou l' fè jaden ou donnen anpil. Se pou l' ba ou bèl rekòt ble ak rezen.(Creole-HT) ======= Genesis 27:29 ============ Gen 27:29 Let people serve thee, and nations bow down to thee: be lord over thy brethren, and let thy mother's sons bow down to thee: cursed be every one that curseth thee, and blessed be he that blesseth thee.(KJV-1611) Gen 27:29 Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Genesis 27:30 ============ Gen 27:30 And it came to pass, as soon as Isaac had made an end of blessing Jacob, and Jacob was yet scarce gone out from the presence of Isaac his father, that Esau his brother came in from his hunting.(KJV-1611) Gen 27:30 Izarak te fin beni Jakòb. Jakòb te fèk kite papa li, Izarak, lè Ezaou, frè li a, antre soti lachas.(Creole-HT) ======= Genesis 27:31 ============ Gen 27:31 And he also had made savoury meat, and brought it unto his father, and said unto his father, Let my father arise, and eat of his son's venison, that thy soul may bless me.(KJV-1611) Gen 27:31 Li te pare yon bon plat manje, li pote l' bay papa l'. Li di l': -Leve chita non, papa. Manje vyann pitit ou pote pou ou a, pou ou ka beni l'.(Creole-HT) ======= Genesis 27:32 ============ Gen 27:32 And Isaac his father said unto him, Who art thou? And he said, I am thy son, thy firstborn Esau.(KJV-1611) Gen 27:32 Izarak, papa l', mande: -Ki moun sa a? Li reponn: -Se mwen menm, Ezaou, premye pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= Genesis 27:33 ============ Gen 27:33 And Isaac trembled very exceedingly, and said, Who? where is he that hath taken venison, and brought it me, and I have eaten of all before thou camest, and have blessed him? yea, and he shall be blessed.(KJV-1611) Gen 27:33 Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: -Kilès sa ki te pote ban m' manje jibye li sot chase a? Mwen fèk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m' lan ki pou li nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 27:34 ============ Gen 27:34 And when Esau heard the words of his father, he cried with a great and exceeding bitter cry, and said unto his father, Bless me, even me also, O my father.(KJV-1611) Gen 27:34 Lè Ezaou tande sa, yon sèl kòlè moute l', li tonbe rele byen fò: -Beni m' tout non, papa!(Creole-HT) ======= Genesis 27:35 ============ Gen 27:35 And he said, Thy brother came with subtilty, and hath taken away thy blessing.(KJV-1611) Gen 27:35 Izarak reponn li: -Frè ou la vini, li twonpe m'. Li pran benediksyon ki te pou ou a.(Creole-HT) ======= Genesis 27:36 ============ Gen 27:36 And he said, Is not he rightly named Jacob? for he hath supplanted me these two times: he took away my birthright; and, behold, now he hath taken away my blessing. And he said, Hast thou not reserved a blessing for me?(KJV-1611) Gen 27:36 Ezaou di: -Sa fè dezyèm fwa li pran sak pou mwen. Eske se paske li rele Jakòb la kifè l'ap pase devan m' konsa? Premye fwa a, li te pran dwa m' kòm premye pitit. Men koulye a, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: -Men papa, èske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen?(Creole-HT) ======= Genesis 27:37 ============ Gen 27:37 And Isaac answered and said unto Esau, Behold, I have made him thy lord, and all his brethren have I given to him for servants; and with corn and wine have I sustained him: and what shall I do now unto thee, my son?(KJV-1611) Gen 27:37 Izarak reponn Ezaou: -Mwen mete l' chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l'. Mwen ba li mezi pwovizyon l'. Kisa m' ka fè pou ou ankò, pitit mwen?(Creole-HT) ======= Genesis 27:38 ============ Gen 27:38 And Esau said unto his father, Hast thou but one blessing, my father? bless me, even me also, O my father. And Esau lifted up his voice, and wept.(KJV-1611) Gen 27:38 Ezaou di papa a: -Se sèl benediksyon sa a ou te genyen, papa? Tanpri, beni m' tout non, papa! Lè sa a, Ezaou pete yon sèl rèl, li kriye byen fò.(Creole-HT) ======= Genesis 27:39 ============ Gen 27:39 And Isaac his father answered and said unto him, Behold, thy dwelling shall be the fatness of the earth, and of the dew of heaven from above;(KJV-1611) Gen 27:39 Se konsa Izarak di l': -Latè p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. p'ap gen lawouze ki soti nan syèl la pou wouze jaden ou.(Creole-HT) ======= Genesis 27:40 ============ Gen 27:40 And by thy sword shalt thou live, and shalt serve thy brother; and it shall come to pass when thou shalt have the dominion, that thou shalt break his yoke from off thy neck.(KJV-1611) Gen 27:40 Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la, se vre. Men, se pye poudre ou ye, w'a soti anba men l'.(Creole-HT) ======= Genesis 27:41 ============ Gen 27:41 And Esau hated Jacob because of the blessing wherewith his father blessed him: and Esau said in his heart, The days of mourning for my father are at hand; then will I slay my brother Jacob.(KJV-1611) Gen 27:41 Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.(Creole-HT) ======= Genesis 27:42 ============ Gen 27:42 And these words of Esau her elder son were told to Rebekah: and she sent and called Jacob her younger son, and said unto him, Behold, thy brother Esau, as touching thee, doth comfort himself, purposing to kill thee.(KJV-1611) Gen 27:42 Yo vin rapòte bay Rebeka sa ki te soti nan bouch Ezaou, premye pitit gason l' lan. Li fè rele Jakòb, dezyèm pitit li a, li di l': -Koute! Ezaou, frè ou la, vle tire revanj sou ou. Li vle touye ou.(Creole-HT) ======= Genesis 27:43 ============ Gen 27:43 Now therefore, my son, obey my voice; arise, flee thou to Laban my brother to Haran;(KJV-1611) Gen 27:43 Koulye a, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan.(Creole-HT) ======= Genesis 27:44 ============ Gen 27:44 And tarry with him a few days, until thy brother's fury turn away;(KJV-1611) Gen 27:44 W'a rete kèk tan la avèk li, jouk tan kòlè frè ou la va bese,(Creole-HT) ======= Genesis 27:45 ============ Gen 27:45 Until thy brother's anger turn away from thee, and he forget that which thou hast done to him: then I will send, and fetch thee from thence: why should I be deprived also of you both in one day?(KJV-1611) Gen 27:45 jouk tan la sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l' la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m' ta pèdi tou de pitit gason m' yo yon sèl jou a?(Creole-HT) ======= Genesis 27:46 ============ Gen 27:46 And Rebekah said to Isaac, I am weary of my life because of the daughters of Heth: if Jacob take a wife of the daughters of Heth, such as these which are of the daughters of the land, what good shall my life do me?(KJV-1611) Gen 27:46 Rebeka di Izarak konsa: -Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m' ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m' mouri!(Creole-HT) ======= Genesis 28:1 ============ Gen 28:1 And Isaac called Jacob, and blessed him, and charged him, and said unto him, Thou shalt not take a wife of the daughters of Canaan.(KJV-1611) Gen 28:1 Izarak rele Jakòb, li beni l'. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.(Creole-HT) ======= Genesis 28:2 ============ Gen 28:2 Arise, go to Padanaram, to the house of Bethuel thy mother's father; and take thee a wife from thence of the daughers of Laban thy mother's brother.(KJV-1611) Gen 28:2 Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.(Creole-HT) ======= Genesis 28:3 ============ Gen 28:3 And God Almighty bless thee, and make thee fruitful, and multiply thee, that thou mayest be a multitude of people;(KJV-1611) Gen 28:3 Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 28:4 ============ Gen 28:4 And give thee the blessing of Abraham, to thee, and to thy seed with thee; that thou mayest inherit the land wherein thou art a stranger, which God gave unto Abraham.(KJV-1611) Gen 28:4 Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.(Creole-HT) ======= Genesis 28:5 ============ Gen 28:5 And Isaac sent away Jacob: and he went to Padanaram unto Laban, son of Bethuel the Syrian, the brother of Rebekah, Jacob's and Esau's mother.(KJV-1611) Gen 28:5 Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 28:6 ============ Gen 28:6 When Esau saw that Isaac had blessed Jacob, and sent him away to Padanaram, to take him a wife from thence; and that as he blessed him he gave him a charge, saying, Thou shalt not take a wife of the daughers of Canaan;(KJV-1611) Gen 28:6 Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l' Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l' lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.(Creole-HT) ======= Genesis 28:7 ============ Gen 28:7 And that Jacob obeyed his father and his mother, and was gone to Padanaram;(KJV-1611) Gen 28:7 Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l' ak manman l', li te pati pou Mezopotami.(Creole-HT) ======= Genesis 28:8 ============ Gen 28:8 And Esau seeing that the daughters of Canaan pleased not Isaac his father;(KJV-1611) Gen 28:8 Konsa, Ezaou vin wè Izarak papa l' pa t' renmen fi peyi Kanaran yo.(Creole-HT) ======= Genesis 28:9 ============ Gen 28:9 Then went Esau unto Ishmael, and took unto the wives which he had Mahalath the daughter of Ishmael Abraham's son, the sister of Nebajoth, to be his wife.(KJV-1611) Gen 28:9 Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt.(Creole-HT) ======= Genesis 28:10 ============ Gen 28:10 And Jacob went out from Beersheba, and went toward Haran.(KJV-1611) Gen 28:10 Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan.(Creole-HT) ======= Genesis 28:11 ============ Gen 28:11 And he lighted upon a certain place, and tarried there all night, because the sun was set; and he took of the stones of that place, and put them for his pillows, and lay down in that place to sleep.(KJV-1611) Gen 28:11 Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sòlèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l' zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l' dòmi.(Creole-HT) ======= Genesis 28:12 ============ Gen 28:12 And he dreamed, and behold a ladder set up on the earth, and the top of it reached to heaven: and behold the angels of God ascending and descending on it.(KJV-1611) Gen 28:12 Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 28:13 ============ Gen 28:13 And, behold, the LORD stood above it, and said, I am the LORD God of Abraham thy father, and the God of Isaac: the land whereon thou liest, to thee will I give it, and to thy seed;(KJV-1611) Gen 28:13 Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 28:14 ============ Gen 28:14 And thy seed shall be as the dust of the earth, and thou shalt spread abroad to the west, and to the east, and to the north, and to the south: and in thee and in thy seed shall all the families of the earth be blessed.(KJV-1611) Gen 28:14 Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 28:15 ============ Gen 28:15 And, behold, I am with thee, and will keep thee in all places whither thou goest, and will bring thee again into this land; for I will not leave thee, until I have done that which I have spoken to thee of.(KJV-1611) Gen 28:15 Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m' pa fè tout sa mwen sot di ou la a.(Creole-HT) ======= Genesis 28:16 ============ Gen 28:16 And Jacob awaked out of his sleep, and he said, Surely the LORD is in this place; and I knew it not.(KJV-1611) Gen 28:16 Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t' konn sa.(Creole-HT) ======= Genesis 28:17 ============ Gen 28:17 And he was afraid, and said, How dreadful is this place! this is none other but the house of God, and this is the gate of heaven.(KJV-1611) Gen 28:17 Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 28:18 ============ Gen 28:18 And Jacob rose up early in the morning, and took the stone that he had put for his pillows, and set it up for a pillar, and poured oil upon the top of it.(KJV-1611) Gen 28:18 Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Genesis 28:19 ============ Gen 28:19 And he called the name of that place Bethel: but the name of that city was called Luz at the first.(KJV-1611) Gen 28:19 Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)(Creole-HT) ======= Genesis 28:20 ============ Gen 28:20 And Jacob vowed a vow, saying, If God will be with me, and will keep me in this way that I go, and will give me bread to eat, and raiment to put on,(KJV-1611) Gen 28:20 Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,(Creole-HT) ======= Genesis 28:21 ============ Gen 28:21 So that I come again to my father's house in peace; then shall the LORD be my God:(KJV-1611) Gen 28:21 si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre.(Creole-HT) ======= Genesis 28:22 ============ Gen 28:22 And this stone, which I have set for a pillar, shall be God's house: and of all that thou shalt give me I will surely give the tenth unto thee.(KJV-1611) Gen 28:22 Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 29:1 ============ Gen 29:1 Then Jacob went on his journey, and came into the land of the people of the east.(KJV-1611) Gen 29:1 Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.(Creole-HT) ======= Genesis 29:2 ============ Gen 29:2 And he looked, and behold a well in the field, and, lo, there were three flocks of sheep lying by it; for out of that well they watered the flocks: and a great stone was upon the well's mouth.(KJV-1611) Gen 29:2 Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.(Creole-HT) ======= Genesis 29:3 ============ Gen 29:3 And thither were all the flocks gathered: and they rolled the stone from the well's mouth, and watered the sheep, and put the stone again upon the well's mouth in his place.(KJV-1611) Gen 29:3 Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 29:4 ============ Gen 29:4 And Jacob said unto them, My brethren, whence be ye? And they said, Of Haran are we.(KJV-1611) Gen 29:4 Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m' yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan.(Creole-HT) ======= Genesis 29:5 ============ Gen 29:5 And he said unto them, Know ye Laban the son of Nahor? And they said, We know him.(KJV-1611) Gen 29:5 Li di yo: -Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a? Yo reponn li: -Men wi, nou konnen l'.(Creole-HT) ======= Genesis 29:6 ============ Gen 29:6 And he said unto them, Is he well? And they said, He is well: and, behold, Rachel his daughter cometh with the sheep.(KJV-1611) Gen 29:6 Li mande yo: -Ban m' nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: -Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 29:7 ============ Gen 29:7 And he said, Lo, it is yet high day, neither is it time that the cattle should be gathered together: water ye the sheep, and go and feed them.(KJV-1611) Gen 29:7 Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje?(Creole-HT) ======= Genesis 29:8 ============ Gen 29:8 And they said, We cannot, until all the flocks be gathered together, and till they roll the stone from the well's mouth; then we water the sheep.(KJV-1611) Gen 29:8 Yo reponn li: -Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n'a met men ansanm pou n' woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n'a bay mouton yo bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 29:9 ============ Gen 29:9 And while he yet spake with them, Rachel came with her father's sheep; for she kept them.(KJV-1611) Gen 29:9 Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 29:10 ============ Gen 29:10 And it came to pass, when Jacob saw Rachel the daughter of Laban his mother's brother, and the sheep of Laban his mother's brother, that Jacob went near, and rolled the stone from the well's mouth, and watered the flock of Laban his mother's brother.(KJV-1611) Gen 29:10 Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l' lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè.(Creole-HT) ======= Genesis 29:11 ============ Gen 29:11 And Jacob kissed Rachel, and lifted up his voice, and wept.(KJV-1611) Gen 29:11 Lè l' fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye.(Creole-HT) ======= Genesis 29:12 ============ Gen 29:12 And Jacob told Rachel that he was her father's brother, and that he was Rebekah's son: and she ran and told her father.(KJV-1611) Gen 29:12 Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l' sa.(Creole-HT) ======= Genesis 29:13 ============ Gen 29:13 And it came to pass, when Laban heard the tidings of Jacob his sister's son, that he ran to meet him, and embraced him, and kissed him, and brought him to his house. And he told Laban all these things.(KJV-1611) Gen 29:13 Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l', li pase men nan kou l', li bo l', epi li mennen l' lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l' tout sak te pase.(Creole-HT) ======= Genesis 29:14 ============ Gen 29:14 And Laban said to him, Surely thou art my bone and my flesh. And he abode with him the space of a month.(KJV-1611) Gen 29:14 Lè sa a, Laban di l': -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban.(Creole-HT) ======= Genesis 29:15 ============ Gen 29:15 And Laban said unto Jacob, Because thou art my brother, shouldest thou therefore serve me for nought? tell me, what shall thy wages be?(KJV-1611) Gen 29:15 Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou?(Creole-HT) ======= Genesis 29:16 ============ Gen 29:16 And Laban had two daughters: the name of the elder was Leah, and the name of the younger was Rachel.(KJV-1611) Gen 29:16 Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.(Creole-HT) ======= Genesis 29:17 ============ Gen 29:17 Leah was tender eyed; but Rachel was beautiful and well favoured.(KJV-1611) Gen 29:17 Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 29:18 ============ Gen 29:18 And Jacob loved Rachel; and said, I will serve thee seven years for Rachel thy younger daughter.(KJV-1611) Gen 29:18 Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 29:19 ============ Gen 29:19 And Laban said, It is better that I give her to thee, than that I should give her to another man: abide with me.(KJV-1611) Gen 29:19 Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 29:20 ============ Gen 29:20 And Jacob served seven years for Rachel; and they seemed unto him but a few days, for the love he had to her.(KJV-1611) Gen 29:20 Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.(Creole-HT) ======= Genesis 29:21 ============ Gen 29:21 And Jacob said unto Laban, Give me my wife, for my days are fulfilled, that I may go in unto her.(KJV-1611) Gen 29:21 Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 29:22 ============ Gen 29:22 And Laban gathered together all the men of the place, and made a feast.(KJV-1611) Gen 29:22 Se konsa Laban fè yon gwo resepsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an.(Creole-HT) ======= Genesis 29:23 ============ Gen 29:23 And it came to pass in the evening, that he took Leah his daughter, and brought her to him; and he went in unto her.(KJV-1611) Gen 29:23 Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l' bay Jakòb ki kouche avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 29:24 ============ Gen 29:24 And Laban gave unto his daughter Leah Zilpah his maid for an handmaid.(KJV-1611) Gen 29:24 Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li.(Creole-HT) ======= Genesis 29:25 ============ Gen 29:25 And it came to pass, that in the morning, behold, it was Leah: and he said to Laban, What is this thou hast done unto me? did not I serve with thee for Rachel? wherefore then hast thou beguiled me?(KJV-1611) Gen 29:25 Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a?(Creole-HT) ======= Genesis 29:26 ============ Gen 29:26 And Laban said, It must not be so done in our country, to give the younger before the firstborn.(KJV-1611) Gen 29:26 Laban di l': -Se pa koutim nou isit pou n' marye ti sè anvan gran sè.(Creole-HT) ======= Genesis 29:27 ============ Gen 29:27 Fulfil her week, and we will give thee this also for the service which thou shalt serve with me yet seven other years.(KJV-1611) Gen 29:27 Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m' pandan sèt lòt lanne ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 29:28 ============ Gen 29:28 And Jacob did so, and fulfilled her week: and he gave him Rachel his daughter to wife also.(KJV-1611) Gen 29:28 Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l' la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou.(Creole-HT) ======= Genesis 29:29 ============ Gen 29:29 And Laban gave to Rachel his daughter Bilhah his handmaid to be her maid.(KJV-1611) Gen 29:29 Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li.(Creole-HT) ======= Genesis 29:30 ============ Gen 29:30 And he went in also unto Rachel, and he loved also Rachel more than Leah, and served with him yet seven other years.(KJV-1611) Gen 29:30 Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 29:31 ============ Gen 29:31 And when the LORD saw that Leah was hated, he opened her womb: but Rachel was barren.(KJV-1611) Gen 29:31 Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 29:32 ============ Gen 29:32 And Leah conceived, and bare a son, and she called his name Reuben: for she said, Surely the LORD hath looked upon my affliction; now therefore my husband will love me.(KJV-1611) Gen 29:32 Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.(Creole-HT) ======= Genesis 29:33 ============ Gen 29:33 And she conceived again, and bare a son; and said, Because the LORD hath heard I was hated, he hath therefore given me this son also: and she called his name Simeon.(KJV-1611) Gen 29:33 Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon.(Creole-HT) ======= Genesis 29:34 ============ Gen 29:34 And she conceived again, and bare a son; and said, Now this time will my husband be joined unto me, because I have born him three sons: therefore was his name called Levi.(KJV-1611) Gen 29:34 Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m' pral rete avè m' nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l' Levi.(Creole-HT) ======= Genesis 29:35 ============ Gen 29:35 And she conceived again, and bare a son: and she said, Now will I praise the LORD: therefore she called his name Judah; and left bearing.(KJV-1611) Gen 29:35 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 30:1 ============ Gen 30:1 And when Rachel saw that she bare Jacob no children, Rachel envied her sister; and said unto Jacob, Give me children, or else I die.(KJV-1611) Gen 30:1 Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou!(Creole-HT) ======= Genesis 30:2 ============ Gen 30:2 And Jacob's anger was kindled against Rachel: and he said, Am I in God's stead, who hath withheld from thee the fruit of the womb?(KJV-1611) Gen 30:2 Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 30:3 ============ Gen 30:3 And she said, Behold my maid Bilhah, go in unto her; and she shall bear upon my knees, that I may also have children by her.(KJV-1611) Gen 30:3 Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou.(Creole-HT) ======= Genesis 30:4 ============ Gen 30:4 And she gave him Bilhah her handmaid to wife: and Jacob went in unto her.(KJV-1611) Gen 30:4 Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila.(Creole-HT) ======= Genesis 30:5 ============ Gen 30:5 And Bilhah conceived, and bare Jacob a son.(KJV-1611) Gen 30:5 Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:6 ============ Gen 30:6 And Rachel said, God hath judged me, and hath also heard my voice, and hath given me a son: therefore called she his name Dan.(KJV-1611) Gen 30:6 Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann.(Creole-HT) ======= Genesis 30:7 ============ Gen 30:7 And Bilhah Rachel's maid conceived again, and bare Jacob a second son.(KJV-1611) Gen 30:7 Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:8 ============ Gen 30:8 And Rachel said, With great wrestlings have I wrestled with my sister, and I have prevailed: and she called his name Naphtali.(KJV-1611) Gen 30:8 Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali.(Creole-HT) ======= Genesis 30:9 ============ Gen 30:9 When Leah saw that she had left bearing, she took Zilpah her maid, and gave her Jacob to wife.(KJV-1611) Gen 30:9 Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.(Creole-HT) ======= Genesis 30:10 ============ Gen 30:10 And Zilpah Leah's maid bare Jacob a son.(KJV-1611) Gen 30:10 Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:11 ============ Gen 30:11 And Leah said, A troop cometh: and she called his name Gad.(KJV-1611) Gen 30:11 Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad.(Creole-HT) ======= Genesis 30:12 ============ Gen 30:12 And Zilpah Leah's maid bare Jacob a second son.(KJV-1611) Gen 30:12 Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:13 ============ Gen 30:13 And Leah said, Happy am I, for the daughters will call me blessed: and she called his name Asher.(KJV-1611) Gen 30:13 Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè.(Creole-HT) ======= Genesis 30:14 ============ Gen 30:14 And Reuben went in the days of wheat harvest, and found mandrakes in the field, and brought them unto his mother Leah. Then Rachel said to Leah, Give me, I pray thee, of thy son's mandrakes.(KJV-1611) Gen 30:14 Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a.(Creole-HT) ======= Genesis 30:15 ============ Gen 30:15 And she said unto her, Is it a small matter that thou hast taken my husband? and wouldest thou take away my son's mandrakes also? And Rachel said, Therefore he shall lie with thee to night for thy son's mandrakes.(KJV-1611) Gen 30:15 Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= Genesis 30:16 ============ Gen 30:16 And Jacob came out of the field in the evening, and Leah went out to meet him, and said, Thou must come in unto me; for surely I have hired thee with my son's mandrakes. And he lay with her that night.(KJV-1611) Gen 30:16 Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l', li di l' konsa: -Se pou ou vin kouche avè m' aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m' lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya.(Creole-HT) ======= Genesis 30:17 ============ Gen 30:17 And God hearkened unto Leah, and she conceived, and bare Jacob the fifth son.(KJV-1611) Gen 30:17 Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:18 ============ Gen 30:18 And Leah said, God hath given me my hire, because I have given my maiden to my husband: and she called his name Issachar.(KJV-1611) Gen 30:18 Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka.(Creole-HT) ======= Genesis 30:19 ============ Gen 30:19 And Leah conceived again, and bare Jacob the sixth son.(KJV-1611) Gen 30:19 Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:20 ============ Gen 30:20 And Leah said, God hath endued me with a good dowry; now will my husband dwell with me, because I have born him six sons: and she called his name Zebulun.(KJV-1611) Gen 30:20 Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon.(Creole-HT) ======= Genesis 30:21 ============ Gen 30:21 And afterwards she bare a daughter, and called her name Dinah.(KJV-1611) Gen 30:21 Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l' Dena.(Creole-HT) ======= Genesis 30:22 ============ Gen 30:22 And God remembered Rachel, and God hearkened to her, and opened her womb.(KJV-1611) Gen 30:22 Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 30:23 ============ Gen 30:23 And she conceived, and bare a son; and said, God hath taken away my reproach:(KJV-1611) Gen 30:23 Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m' nan rizib.(Creole-HT) ======= Genesis 30:24 ============ Gen 30:24 And she called his name Joseph; and said, The LORD shall add to me another son.(KJV-1611) Gen 30:24 Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: -Se pou Seyè a ba m' yon lòt gason ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 30:25 ============ Gen 30:25 And it came to pass, when Rachel had born Joseph, that Jacob said unto Laban, Send me away, that I may go unto mine own place, and to my country.(KJV-1611) Gen 30:25 Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: -Kite m' pati pou m ale lakay mwen nan peyi mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 30:26 ============ Gen 30:26 Give me my wives and my children, for whom I have served thee, and let me go: for thou knowest my service which I have done thee.(KJV-1611) Gen 30:26 Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m' ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou.(Creole-HT) ======= Genesis 30:27 ============ Gen 30:27 And Laban said unto him, I pray thee, if I have found favour in thine eyes, tarry: for I have learned by experience that the LORD hath blessed me for thy sake.(KJV-1611) Gen 30:27 Laban reponn li: -Fè m' plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m' tout beni sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 30:28 ============ Gen 30:28 And he said, Appoint me thy wages, and I will give it.(KJV-1611) Gen 30:28 Di m' sa pou m' peye ou, m'a ba ou li.(Creole-HT) ======= Genesis 30:29 ============ Gen 30:29 And he said unto him, Thou knowest how I have served thee, and how thy cattle was with me.(KJV-1611) Gen 30:29 Jakòb di l': -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m'.(Creole-HT) ======= Genesis 30:30 ============ Gen 30:30 For it was little which thou hadst before I came, and it is now increased unto a multitude; and the LORD hath blessed thee since my coming: and now when shall I provide for mine own house also?(KJV-1611) Gen 30:30 Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 30:31 ============ Gen 30:31 And he said, What shall I give thee? And Jacob said, Thou shalt not give me any thing: if thou wilt do this thing for me, I will again feed and keep thy flock.(KJV-1611) Gen 30:31 Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:32 ============ Gen 30:32 I will pass through all thy flock to day, removing from thence all the speckled and spotted cattle, and all the brown cattle among the sheep, and the spotted and speckled among the goats: and of such shall be my hire.(KJV-1611) Gen 30:32 Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 30:33 ============ Gen 30:33 So shall my righteousness answer for me in time to come, when it shall come for my hire before thy face: every one that is not speckled and spotted among the goats, and brown among the sheep, that shall be counted stolen with me.(KJV-1611) Gen 30:33 Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m' te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou.(Creole-HT) ======= Genesis 30:34 ============ Gen 30:34 And Laban said, Behold, I would it might be according to thy word.(KJV-1611) Gen 30:34 Laban reponn li: -Dakò. n'a fè l' jan ou di l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 30:35 ============ Gen 30:35 And he removed that day the he goats that were ringstraked and spotted, and all the she goats that were speckled and spotted, and every one that had some white in it, and all the brown among the sheep, and gave them into the hand of his sons.(KJV-1611) Gen 30:35 Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:36 ============ Gen 30:36 And he set three days' journey betwixt himself and Jacob: and Jacob fed the rest of Laban's flocks.(KJV-1611) Gen 30:36 Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:37 ============ Gen 30:37 And Jacob took him rods of green poplar, and of the hazel and chesnut tree; and pilled white strakes in them, and made the white appear which was in the rods.(KJV-1611) Gen 30:37 Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:38 ============ Gen 30:38 And he set the rods which he had pilled before the flocks in the gutters in the watering troughs when the flocks came to drink, that they should conceive when they came to drink.(KJV-1611) Gen 30:38 Li pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze.(Creole-HT) ======= Genesis 30:39 ============ Gen 30:39 And the flocks conceived before the rods, and brought forth cattle ringstraked, speckled, and spotted.(KJV-1611) Gen 30:39 Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:40 ============ Gen 30:40 And Jacob did separate the lambs, and set the faces of the flocks toward the ringstraked, and all the brown in the flock of Laban; and he put his own flocks by themselves, and put them not unto Laban's cattle.(KJV-1611) Gen 30:40 Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pa t' mele ak bèt Laban yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:41 ============ Gen 30:41 And it came to pass, whensoever the stronger cattle did conceive, that Jacob laid the rods before the eyes of the cattle in the gutters, that they might conceive among the rods.(KJV-1611) Gen 30:41 Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y'ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo.(Creole-HT) ======= Genesis 30:42 ============ Gen 30:42 But when the cattle were feeble, he put them not in: so the feebler were Laban's, and the stronger Jacob's.(KJV-1611) Gen 30:42 Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k'ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 30:43 ============ Gen 30:43 And the man increased exceedingly, and had much cattle, and maidservants, and menservants, and camels, and asses.(KJV-1611) Gen 30:43 Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.(Creole-HT) ======= Genesis 31:1 ============ Gen 31:1 And he heard the words of Laban's sons, saying, Jacob hath taken away all that was our father's; and of that which was our father's hath he gotten all this glory.(KJV-1611) Gen 31:1 Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa.(Creole-HT) ======= Genesis 31:2 ============ Gen 31:2 And Jacob beheld the countenance of Laban, and, behold, it was not toward him as before.(KJV-1611) Gen 31:2 Jakòb vin wè tout Laban pa t' ba li menm karaktè li te konn ba li anvan an.(Creole-HT) ======= Genesis 31:3 ============ Gen 31:3 And the LORD said unto Jacob, Return unto the land of thy fathers, and to thy kindred; and I will be with thee.(KJV-1611) Gen 31:3 Lè sa a, Seyè a di l': -Tounen nan peyi kote ou te fèt la, al jwenn fanmi ou. M'ap toujou la avè ou.(Creole-HT) ======= Genesis 31:4 ============ Gen 31:4 And Jacob sent and called Rachel and Leah to the field unto his flock,(KJV-1611) Gen 31:4 Se konsa Jakòb fè chache Rachèl ak Leya. Li voye di yo rive kote l' nan savann kote bèt li yo ye a.(Creole-HT) ======= Genesis 31:5 ============ Gen 31:5 And said unto them, I see your father's countenance, that it is not toward me as before; but the God of my father hath been with me.(KJV-1611) Gen 31:5 Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'.(Creole-HT) ======= Genesis 31:6 ============ Gen 31:6 And ye know that with all my power I have served your father.(KJV-1611) Gen 31:6 Nou tout de nou konnen jan mwen te sèvi ak papa nou ak tout kouraj mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 31:7 ============ Gen 31:7 And your father hath deceived me, and changed my wages ten times; but God suffered him not to hurt me.(KJV-1611) Gen 31:7 Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 31:8 ============ Gen 31:8 If he said thus, The speckled shall be thy wages; then all the cattle bare speckled: and if he said thus, The ringstraked shall be thy hire; then bare all the cattle ringstraked.(KJV-1611) Gen 31:8 Lè Laban di: ou mèt pran tout kabrit takte yo pou ou, tout bann bèt yo tonbe fè pitit takte. Lè li di: m'ap ba ou tout kabrit ki gen re sou tout kò yo, tout bann bèt yo tonbe fè pitit ak re sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:9 ============ Gen 31:9 Thus God hath taken away the cattle of your father, and given them to me.(KJV-1611) Gen 31:9 Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:10 ============ Gen 31:10 And it came to pass at the time that the cattle conceived, that I lifted up mine eyes, and saw in a dream, and, behold, the rams which leaped upon the cattle were ringstraked, speckled, and grisled.(KJV-1611) Gen 31:10 Lè bèt yo mande kwaze, mwen fè yon rèv, mwen wè tout bouk ki t'ap kwaze yo se bouk ki takte, ki pentle ak sa ki gen re sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:11 ============ Gen 31:11 And the angel of God spake unto me in a dream, saying, Jacob: And I said, Here am I.(KJV-1611) Gen 31:11 Zanj Bondye a pale avè m' nan rèv la, li di m': Jakòb. Mwen reponn li: Men mwen wi.(Creole-HT) ======= Genesis 31:12 ============ Gen 31:12 And he said, Lift up now thine eyes, and see, all the rams which leap upon the cattle are ringstraked, speckled, and grisled: for I have seen all that Laban doeth unto thee.(KJV-1611) Gen 31:12 Li di m' ankò: Leve je ou gade: tout bouk k'ap vole fenmèl yo se bouk ki takte ak sa ki gen re sou tout kò yo. Se mwen menm k'ap fè sa konsa, paske mwen wè tout sa Laban ap fè ou.(Creole-HT) ======= Genesis 31:13 ============ Gen 31:13 I am the God of Bethel, where thou anointedst the pillar, and where thou vowedst a vow unto me: now arise, get thee out from this land, and return unto the land of thy kindred.(KJV-1611) Gen 31:13 Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la.(Creole-HT) ======= Genesis 31:14 ============ Gen 31:14 And Rachel and Leah answered and said unto him, Is there yet any portion or inheritance for us in our father's house?(KJV-1611) Gen 31:14 Rachèl ak Leya reponn Jakòb: -Nou pa gen anyen ankò pou n' eritye nan men papa nou.(Creole-HT) ======= Genesis 31:15 ============ Gen 31:15 Are we not counted of him strangers? for he hath sold us, and hath quite devoured also our money.(KJV-1611) Gen 31:15 Eske li pa konsidere nou tankou etranje? Li vann nou. Koulye a, li fin manje tout lajan yo te ba li pou nou an.(Creole-HT) ======= Genesis 31:16 ============ Gen 31:16 For all the riches which God hath taken from our father, that is ours, and our children's: now then, whatsoever God hath said unto thee, do.(KJV-1611) Gen 31:16 Tout richès Bondye wete nan men papa nou an, se pou nou ansanm ak pitit nou yo. Koulye a, se pou ou fè tout sa Bondye di ou fè.(Creole-HT) ======= Genesis 31:17 ============ Gen 31:17 Then Jacob rose up, and set his sons and his wives upon camels;(KJV-1611) Gen 31:17 Lè sa a, Jakòb leve, li mete pitit li yo ansanm ak madanm li yo sou chamo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:18 ============ Gen 31:18 And he carried away all his cattle, and all his goods which he had gotten, the cattle of his getting, which he had gotten in Padanaram, for to go to Isaac his father in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 31:18 Li pran tout bèt li yo ansanm ak tout sa li te rive genyen pandan li te Mezopotami an, li mennen yo ale. Li pati, li al jwenn papa l', Izarak, nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 31:19 ============ Gen 31:19 And Laban went to shear his sheep: and Rachel had stolen the images that were her father's.(KJV-1611) Gen 31:19 Lè sa a, Laban t al taye lenn mouton l' yo. Pandan li pa t' la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:20 ============ Gen 31:20 And Jacob stole away unawares to Laban the Syrian, in that he told him not that he fled.(KJV-1611) Gen 31:20 Se konsa Jakòb twonpe Laban, moun lavil Aram lan, li pati san l' pa di l' sa.(Creole-HT) ======= Genesis 31:21 ============ Gen 31:21 So he fled with all that he had; and he rose up, and passed over the river, and set his face toward the mount Gilead.(KJV-1611) Gen 31:21 Li pran tout sa li te genyen, li mete deyò, li ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou li al sou mòn Galarad.(Creole-HT) ======= Genesis 31:22 ============ Gen 31:22 And it was told Laban on the third day that Jacob was fled.(KJV-1611) Gen 31:22 Twa jou apre, Laban pran nouvèl Jakòb te pati.(Creole-HT) ======= Genesis 31:23 ============ Gen 31:23 And he took his brethren with him, and pursued after him seven days' journey; and they overtook him in the mount Gilead.(KJV-1611) Gen 31:23 Msye pran moun pa li yo avè l', li pati dèyè Jakòb. Apre sèt jou, li jwenn li sou mòn Galarad.(Creole-HT) ======= Genesis 31:24 ============ Gen 31:24 And God came to Laban the Syrian in a dream by night, and said unto him, Take heed that thou speak not to Jacob either good or bad.(KJV-1611) Gen 31:24 Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.(Creole-HT) ======= Genesis 31:25 ============ Gen 31:25 Then Laban overtook Jacob. Now Jacob had pitched his tent in the mount: and Laban with his brethren pitched in the mount of Gilead.(KJV-1611) Gen 31:25 Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tout sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:26 ============ Gen 31:26 And Laban said to Jacob, What hast thou done, that thou hast stolen away unawares to me, and carried away my daughters, as captives taken with the sword?(KJV-1611) Gen 31:26 Laban di Jakòb: -Kisa ou fè konsa? Ou twonpe m', ou pran pitit fi mwen yo, ou mennen yo ale tankou prizonye ou fè nan lagè.(Creole-HT) ======= Genesis 31:27 ============ Gen 31:27 Wherefore didst thou flee away secretly, and steal away from me; and didst not tell me, that I might have sent thee away with mirth, and with songs, with tabret, and with harp?(KJV-1611) Gen 31:27 Poukisa ou twonpe m', ou leve ou pati an kachèt san ou pa avèti m'? Si ou te di m' sa, nou ta fè fèt, nou ta chante, nou ta bat tanbou, nou ta jwe gita anvan nou voye ou ale.(Creole-HT) ======= Genesis 31:28 ============ Gen 31:28 And hast not suffered me to kiss my sons and my daughters? thou hast now done foolishly in so doing.(KJV-1611) Gen 31:28 Ou pa menm kite m' bo pitit pitit mwen yo ak pitit fi m' yo. Ou aji tankou moun fou, monchè!(Creole-HT) ======= Genesis 31:29 ============ Gen 31:29 It is in the power of my hand to do you hurt: but the God of your father spake unto me yesternight, saying, Take thou heed that thou speak not to Jacob either good or bad.(KJV-1611) Gen 31:29 Mwen gen kont pouvwa anba men m' pou m' ta regle ou. Men yè swa, pandan lannwit lan Bondye papa ou la di m': Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.(Creole-HT) ======= Genesis 31:30 ============ Gen 31:30 And now, though thou wouldest needs be gone, because thou sore longedst after thy father's house, yet wherefore hast thou stolen my gods?(KJV-1611) Gen 31:30 Mwen konnen ou pati paske se pa ti anvi ou pa te anvi tounen lakay papa ou. Men, sa ou te bezwen vòlè ti zidòl kay mwen yo fè?(Creole-HT) ======= Genesis 31:31 ============ Gen 31:31 And Jacob answered and said to Laban, Because I was afraid: for I said, Peradventure thou wouldest take by force thy daughters from me.(KJV-1611) Gen 31:31 Jakòb reponn Laban, li di l': -Mwen te pè, paske mwen te kwè ou ta ka reprann pitit fi ou yo nan menm.(Creole-HT) ======= Genesis 31:32 ============ Gen 31:32 With whomsoever thou findest thy gods, let him not live: before our brethren discern thou what is thine with me, and take it to thee. For Jacob knew not that Rachel had stolen them.(KJV-1611) Gen 31:32 Men, kanta pou ti zidòl kay ou yo, si ou jwenn yo nan men yon moun isit la, se pou moun sa a mouri. Men, mwen pran tout moun sa yo pou temwen, si ou jwenn yon bagay lakay mwen ki pou ou, pran l' pote l' ale. Jakòb pa t' konnen Rachèl te vòlè ti zidòl kay yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:33 ============ Gen 31:33 And Laban went into Jacob's tent, and into Leah's tent, and into the two maidservants' tents; but he found them not. Then went he out of Leah's tent, and entered into Rachel's tent.(KJV-1611) Gen 31:33 Laban antre anba tant Jakòb la, li chache, li ale anba tant Leya a, apre sa anba tant de sèvant yo, li pa jwenn anyen. Li soti anba tant Leya a, li antre anba tant Rachèl. la.(Creole-HT) ======= Genesis 31:34 ============ Gen 31:34 Now Rachel had taken the images, and put them in the camel's furniture, and sat upon them. And Laban searched all the tent, but found them not.(KJV-1611) Gen 31:34 Rachèl menm te pran ti zidòl kay yo, li te mete yo anba aparèy chamo a, epi li chita sou yo. Laban menm chache tout anba tant lan, li pa jwenn anyen.(Creole-HT) ======= Genesis 31:35 ============ Gen 31:35 And she said to her father, Let it not displease my lord that I cannot rise up before thee; for the custom of women is upon me. And he searched but found not the images.(KJV-1611) Gen 31:35 Rachèl di papa l' konsa: -Si ou wè mwen pa ka leve kanpe devan ou, ou pa bezwen fache non. Se lalen mwen mwen genyen. Se konsa Laban fouye toupatou, li pa jwenn ti zidòl kay li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:36 ============ Gen 31:36 And Jacob was wroth, and chode with Laban: and Jacob answered and said to Laban, What is my trespass? what is my sin, that thou hast so hotly pursued after me?(KJV-1611) Gen 31:36 Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouyay ak li, li di l': -Ki krim mwen fè? Kisa m' fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa?(Creole-HT) ======= Genesis 31:37 ============ Gen 31:37 Whereas thou hast searched all my stuff, what hast thou found of all thy household stuff? set it here before my brethren and thy brethren, that they may judge betwixt us both.(KJV-1611) Gen 31:37 Ou fin fouye tout zafè m' yo. Kisa ou jwenn ki pou ou? Mete l' la devan moun pa ou yo ak moun pa m' yo, pou yo ka di ki moun ki gen rezon!(Creole-HT) ======= Genesis 31:38 ============ Gen 31:38 This twenty years have I been with thee; thy ewes and thy she goats have not cast their young, and the rams of thy flock have I not eaten.(KJV-1611) Gen 31:38 Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 31:39 ============ Gen 31:39 That which was torn of beasts I brought not unto thee; I bare the loss of it; of my hand didst thou require it, whether stolen by day, or stolen by night.(KJV-1611) Gen 31:39 Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen.(Creole-HT) ======= Genesis 31:40 ============ Gen 31:40 Thus I was; in the day the drought consumed me, and the frost by night; and my sleep departed from mine eyes.(KJV-1611) Gen 31:40 Lajounen, chalè te fini avè m'. Lannwit, se te fredi, mwen pa t' kapab dòmi.(Creole-HT) ======= Genesis 31:41 ============ Gen 31:41 Thus have I been twenty years in thy house; I served thee fourteen years for thy two daughters, and six years for thy cattle: and thou hast changed my wages ten times.(KJV-1611) Gen 31:41 Se konsa sa te ye pandan tout ventan mwen pase lakay ou yo. Mwen travay pandan katòzan pou de pitit fi ou yo. Apre sa, mwen fè sizan ankò ap travay pou bann bèt ou yo. Atousa, ou jwenn mwayen chanje pawòl dis fwa lè lè a rive pou ou peye m'.(Creole-HT) ======= Genesis 31:42 ============ Gen 31:42 Except the God of my father, the God of Abraham, and the fear of Isaac, had been with me, surely thou hadst sent me away now empty. God hath seen mine affliction and the labour of my hands, and rebuked thee yesternight.(KJV-1611) Gen 31:42 Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.(Creole-HT) ======= Genesis 31:43 ============ Gen 31:43 And Laban answered and said unto Jacob, These daughters are my daughters, and these children are my children, and these cattle are my cattle, and all that thou seest is mine: and what can I do this day unto these my daughters, or unto their children which they have born?(KJV-1611) Gen 31:43 Laban reponn Jakòb: -Fi sa yo se pitit mwen yo ye. Timoun sa yo, se pa m' yo ye. Bann bèt sa yo se pou mwen yo ye. tout sa ou wè la a, se pou mwen yo ye. Bon, kisa m' ka fè koulye a pou pitit fi mwen yo ak pou pitit pitit mwen yo?(Creole-HT) ======= Genesis 31:44 ============ Gen 31:44 Now therefore come thou, let us make a covenant, I and thou; and let it be for a witness between me and thee.(KJV-1611) Gen 31:44 Vini non. Annou pase yon kontra, mwen menm avè ou. Ann kite yon mak ki va sèvi pou fè nou toujou chonje kontra a.(Creole-HT) ======= Genesis 31:45 ============ Gen 31:45 And Jacob took a stone, and set it up for a pillar.(KJV-1611) Gen 31:45 Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' nan tè a, li fè l' rete kanpe tankou yon bòn.(Creole-HT) ======= Genesis 31:46 ============ Gen 31:46 And Jacob said unto his brethren, Gather stones; and they took stones, and made an heap: and they did eat there upon the heap.(KJV-1611) Gen 31:46 Epi, li di moun li yo: -Ranmase wòch. Mesye yo ranmase wòch, yo anpile yo fè yon gwo pil. Apre sa, yo chita bò pil wòch la, yo manje.(Creole-HT) ======= Genesis 31:47 ============ Gen 31:47 And Laban called it Jegarsahadutha: but Jacob called it Galeed.(KJV-1611) Gen 31:47 Laban rele pil wòch la Jega Saadouta nan lang pa l', men Jakòb te rele l' nan lang pa l' Galèd.(Creole-HT) ======= Genesis 31:48 ============ Gen 31:48 And Laban said, This heap is a witness between me and thee this day. Therefore was the name of it called Galeed;(KJV-1611) Gen 31:48 Laban di: -Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tout de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd.(Creole-HT) ======= Genesis 31:49 ============ Gen 31:49 And Mizpah; for he said, The LORD watch between me and thee, when we are absent one from another.(KJV-1611) Gen 31:49 Laban di ankò: -Se pou Bondye voye je sou nou tout de lè nou fin separe. Se konsa yo rele kote sa a Mispa.(Creole-HT) ======= Genesis 31:50 ============ Gen 31:50 If thou shalt afflict my daughters, or if thou shalt take other wives beside my daughters, no man is with us; see, God is witness betwixt me and thee.(KJV-1611) Gen 31:50 Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.(Creole-HT) ======= Genesis 31:51 ============ Gen 31:51 And Laban said to Jacob, Behold this heap, and behold this pillar, which I have cast betwixt me and thee:(KJV-1611) Gen 31:51 Laban di Jakòb ankò: -Men pil wòch mwen mete pou separe nou an. Men bòn ou plante a la.(Creole-HT) ======= Genesis 31:52 ============ Gen 31:52 This heap be witness, and this pillar be witness, that I will not pass over this heap to thee, and that thou shalt not pass over this heap and this pillar unto me, for harm.(KJV-1611) Gen 31:52 Ni pil wòch yo ni bòn lan ap sèvi yon mak. Mwen pa gen dwa depase l' pou m' vin atake ou, ni ou pa gen dwa depase l' pou ou vin atake m'.(Creole-HT) ======= Genesis 31:53 ============ Gen 31:53 The God of Abraham, and the God of Nahor, the God of their father, judge betwixt us. And Jacob sware by the fear of his father Isaac.(KJV-1611) Gen 31:53 Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a.(Creole-HT) ======= Genesis 31:54 ============ Gen 31:54 Then Jacob offered sacrifice upon the mount, and called his brethren to eat bread: and they did eat bread, and tarried all night in the mount.(KJV-1611) Gen 31:54 Apre sa, li touye yon bèt, li ofri l' bay Bondye sou mòn lan, epi li envite moun pa l' yo vin manje. Lè yo fin manje, yo pase nwit la sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Genesis 31:55 ============ Gen 31:55 And early in the morning Laban rose up, and kissed his sons and his daughters, and blessed them: and Laban departed, and returned unto his place.(KJV-1611) Gen 31:55 Nan denmen maten byen bonè, Laban leve, li bo pitit pitit li yo ak pitit fi li yo. Li beni yo. Apre sa, li pati, li tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Genesis 32:1 ============ Gen 32:1 And Jacob went on his way, and the angels of God met him.(KJV-1611) Gen 32:1 Jakòb menm ale chemen chemen l'. Li kontre kèk zanj Bondye sou wout li.(Creole-HT) ======= Genesis 32:2 ============ Gen 32:2 And when Jacob saw them, he said, This is God's host: and he called the name of that place Mahanaim.(KJV-1611) Gen 32:2 Lè li wè yo, li di: -Sa se lame Bondye a. Se konsa li rele kote a Manayim.(Creole-HT) ======= Genesis 32:3 ============ Gen 32:3 And Jacob sent messengers before him to Esau his brother unto the land of Seir, the country of Edom.(KJV-1611) Gen 32:3 Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.(Creole-HT) ======= Genesis 32:4 ============ Gen 32:4 And he commanded them, saying, Thus shall ye speak unto my lord Esau; Thy servant Jacob saith thus, I have sojourned with Laban, and stayed there until now:(KJV-1611) Gen 32:4 Men sa li ba yo lòd pou yo di: -Men sa n'a di Ezaou, mèt mwen: Jakòb, nèg pa ou la, voye di ou konsa, li te pase tout tan sa a lakay Laban. Se poutèt sa li te pran tout reta sa a pou l' tounen.(Creole-HT) ======= Genesis 32:5 ============ Gen 32:5 And I have oxen, and asses, flocks, and menservants, and womenservants: and I have sent to tell my lord, that I may find grace in thy sight.(KJV-1611) Gen 32:5 Li gen bèf, bourik, mouton, kabrit, domestik ak sèvant. Li voye di ou sa pou ou ka fè pa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 32:6 ============ Gen 32:6 And the messengers returned to Jacob, saying, We came to thy brother Esau, and also he cometh to meet thee, and four hundred men with him.(KJV-1611) Gen 32:6 Lè mesaje yo tounen vin jwenn Jakòb, yo di l': -Nou t ale kote Ezaou, frè ou la. Koulye a li gen tan sou wout pou l' vin kontre ou. Li gen katsan moun ak li.(Creole-HT) ======= Genesis 32:7 ============ Gen 32:7 Then Jacob was greatly afraid and distressed: and he divided the people that was with him, and the flocks, and herds, and the camels, into two bands;(KJV-1611) Gen 32:7 Jakòb te pè anpil. Li te boulvèse. Li pran moun ki te avè l' yo, li fè yo fè de pòsyon. Li fè menm bagay la ak mouton, bèf, chamo li te genyen yo.(Creole-HT) ======= Genesis 32:8 ============ Gen 32:8 And said, If Esau come to the one company, and smite it, then the other company which is left shall escape.(KJV-1611) Gen 32:8 Li t'ap di nan kè l': -Si Ezaou vin atake yon pòsyon, lòt pòsyon an va gen tan chape.(Creole-HT) ======= Genesis 32:9 ============ Gen 32:9 And Jacob said, O God of my father Abraham, and God of my father Isaac, the LORD which saidst unto me, Return unto thy country, and to thy kindred, and I will deal well with thee:(KJV-1611) Gen 32:9 Jakòb lapriyè, li di: -O Bondye Abraram granpapa m' lan, Bondye Izarak papa m' lan! O Seyè, ou menm ki te di m' tounen nan peyi m' kote m' te fèt la! W'a fè tout bagay mache byen pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 32:10 ============ Gen 32:10 I am not worthy of the least of all the mercies, and of all the truth, which thou hast shewed unto thy servant; for with my staff I passed over this Jordan; and now I am become two bands.(KJV-1611) Gen 32:10 Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.(Creole-HT) ======= Genesis 32:11 ============ Gen 32:11 Deliver me, I pray thee, from the hand of my brother, from the hand of Esau: for I fear him, lest he will come and smite me, and the mother with the children.(KJV-1611) Gen 32:11 Tanpri, delivre m' non anba men Ezaou, frè mwen an! Mwen pè pou l' pa vin atake nou, pou l' pa touye ata fanm yo ak timoun yo.(Creole-HT) ======= Genesis 32:12 ============ Gen 32:12 And thou saidst, I will surely do thee good, and make thy seed as the sand of the sea, which cannot be numbered for multitude.(KJV-1611) Gen 32:12 Chonje sa ou te di m' lan: M'ap fè tout bagay mache byen pou ou. M'ap si tèlman ba ou pitit pitit, moun p'ap ka konte yo. Y'ap tankou grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Genesis 32:13 ============ Gen 32:13 And he lodged there that same night; and took of that which came to his hand a present for Esau his brother;(KJV-1611) Gen 32:13 Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado.(Creole-HT) ======= Genesis 32:14 ============ Gen 32:14 Two hundred she goats, and twenty he goats, two hundred ewes, and twenty rams,(KJV-1611) Gen 32:14 Li pran desan fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye,(Creole-HT) ======= Genesis 32:15 ============ Gen 32:15 Thirty milch camels with their colts, forty kine, and ten bulls, twenty she asses, and ten foals.(KJV-1611) Gen 32:15 trant fenmèl chamo nouris ak tout ti chamo yo dèyè yo, karant manman bèf, dis towo, vin fenmèl bourik ak dis mal bourik.(Creole-HT) ======= Genesis 32:16 ============ Gen 32:16 And he delivered them into the hand of his servants, every drove by themselves; and said unto his servants, Pass over before me, and put a space betwixt drove and drove.(KJV-1611) Gen 32:16 Li pran bèt yo, li mete chak kalite apa, li renmèt chak kalite bay yonn nan domestik li yo. Li di yo konsa: -Pran devan mwen. Chak moun ap kite yon distans nan mitan bèt pa l' yo ak bèt ki devan l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 32:17 ============ Gen 32:17 And he commanded the foremost, saying, When Esau my brother meeteth thee, and asketh thee, saying, Whose art thou? and whither goest thou? and whose are these before thee?(KJV-1611) Gen 32:17 Epi li pase premye a lòd sa a: -Lè Ezaou, frè m' lan, va kontre ou, l'ap mande ou: Kilès ki mèt ou? Kote ou prale? Pou ki moun bèt sa yo w'ap pouse devan ou konsa a?(Creole-HT) ======= Genesis 32:18 ============ Gen 32:18 Then thou shalt say, They be thy servant Jacob's; it is a present sent unto my lord Esau: and, behold, also he is behind us.(KJV-1611) Gen 32:18 W'a reponn li: Se pou Jakòb, nèg pa ou la. Se yon kado li voye bay Ezaou, mèt mwen an. Li menm, li dèyè, l'ap vini.(Creole-HT) ======= Genesis 32:19 ============ Gen 32:19 And so commanded he the second, and the third, and all that followed the droves, saying, On this manner shall ye speak unto Esau, when ye find him.(KJV-1611) Gen 32:19 Li pase dezyèm lan, twazyèm lan ak tout lòt moun ki t'ap mache dèyè bèt yo menm lòd la. -Men sa nou gen pou n' di Ezaou, lè nou kontre l'.(Creole-HT) ======= Genesis 32:20 ============ Gen 32:20 And say ye moreover, Behold, thy servant Jacob is behind us. For he said, I will appease him with the present that goeth before me, and afterward I will see his face; peradventure he will accept of me.(KJV-1611) Gen 32:20 Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.(Creole-HT) ======= Genesis 32:21 ============ Gen 32:21 So went the present over before him: and himself lodged that night in the company.(KJV-1611) Gen 32:21 Moun yo pran devan ak kado yo. Men Jakòb rete dèyè, li pase nwit la kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Genesis 32:22 ============ Gen 32:22 And he rose up that night, and took his two wives, and his two womenservants, and his eleven sons, and passed over the ford Jabbok.(KJV-1611) Gen 32:22 Menm jou lannwit sa a, Jakòb leve, li pran de madanm li yo, de sèvant li yo ak onz pitit gason li yo, li janbe lòt bò larivyè Jabòk, nan pas la.(Creole-HT) ======= Genesis 32:23 ============ Gen 32:23 And he took them, and sent them over the brook, and sent over that he had.(KJV-1611) Gen 32:23 Apre li fin fè yo janbe larivyè a, li fè janbe tout sa li te genyen tou.(Creole-HT) ======= Genesis 32:24 ============ Gen 32:24 And Jacob was left alone; and there wrestled a man with him until the breaking of the day.(KJV-1611) Gen 32:24 Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.(Creole-HT) ======= Genesis 32:25 ============ Gen 32:25 And when he saw that he prevailed not against him, he touched the hollow of his thigh; and the hollow of Jacob's thigh was out of joint, as he wrestled with him.(KJV-1611) Gen 32:25 Lè nonm lan wè li pa t' ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l'. Se konsa zo ren l' dejwente pandan yo t'ap goumen an.(Creole-HT) ======= Genesis 32:26 ============ Gen 32:26 And he said, Let me go, for the day breaketh. And he said, I will not let thee go, except thou bless me.(KJV-1611) Gen 32:26 Nonm lan di l': -Kite m' ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: -Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale.(Creole-HT) ======= Genesis 32:27 ============ Gen 32:27 And he said unto him, What is thy name? And he said, Jacob.(KJV-1611) Gen 32:27 Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 32:28 ============ Gen 32:28 And he said, Thy name shall be called no more Jacob, but Israel: for as a prince hast thou power with God and with men, and hast prevailed.(KJV-1611) Gen 32:28 Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.(Creole-HT) ======= Genesis 32:29 ============ Gen 32:29 And Jacob asked him, and said, Tell me, I pray thee, thy name. And he said, Wherefore is it that thou dost ask after my name? And he blessed him there.(KJV-1611) Gen 32:29 Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 32:30 ============ Gen 32:30 And Jacob called the name of the place Peniel: for I have seen God face to face, and my life is preserved.(KJV-1611) Gen 32:30 Jakòb di konsa: -Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l' te ye a Penyèl.(Creole-HT) ======= Genesis 32:31 ============ Gen 32:31 And as he passed over Penuel the sun rose upon him, and he halted upon his thigh.(KJV-1611) Gen 32:31 Solèy te gen tan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li.(Creole-HT) ======= Genesis 32:32 ============ Gen 32:32 Therefore the children of Israel eat not of the sinew which shrank, which is upon the hollow of the thigh, unto this day: because he touched the hollow of Jacob's thigh in the sinew that shrank.(KJV-1611) Gen 32:32 Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 33:1 ============ Gen 33:1 And Jacob lifted up his eyes, and looked, and, behold, Esau came, and with him four hundred men. And he divided the children unto Leah, and unto Rachel, and unto the two handmaids.(KJV-1611) Gen 33:1 Jakòb leve je l' gade, li wè Ezaou ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l' yo, li bay Rachèl pa l' yo, li bay de sèvant yo pa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 33:2 ============ Gen 33:2 And he put the handmaids and their children foremost, and Leah and her children after, and Rachel and Joseph hindermost.(KJV-1611) Gen 33:2 Li mete de sèvant yo devan nèt ak pitit yo, Leya ak pitit li yo nan mitan, Rachèl ak Jozèf dèyè nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 33:3 ============ Gen 33:3 And he passed over before them, and bowed himself to the ground seven times, until he came near to his brother.(KJV-1611) Gen 33:3 Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezaou, frè li a.(Creole-HT) ======= Genesis 33:4 ============ Gen 33:4 And Esau ran to meet him, and embraced him, and fell on his neck, and kissed him: and they wept.(KJV-1611) Gen 33:4 Ezaou menm kouri al kontre l', li pase bra l' nan kou l', li bat do l', li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye.(Creole-HT) ======= Genesis 33:5 ============ Gen 33:5 And he lifted up his eyes, and saw the women and the children; and said, Who are those with thee? And he said, The children which God hath graciously given thy servant.(KJV-1611) Gen 33:5 Lè Ezaou voye je l' gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: -Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: -tout se pitit Seyè a bay nèg pa ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 33:6 ============ Gen 33:6 Then the handmaidens came near, they and their children, and they bowed themselves.(KJV-1611) Gen 33:6 Lè sa a, sèvant yo pwoche ak timoun yo, yo bese tèt yo jouk atè devan Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 33:7 ============ Gen 33:7 And Leah also with her children came near, and bowed themselves: and after came Joseph near and Rachel, and they bowed themselves.(KJV-1611) Gen 33:7 Apre sa, Leya pwoche ak timoun pa l' yo, yo bese tèt yo tout devan li. Andènye nèt, Jozèf ak Rachèl pwoche, yo bese tèt yo tout devan li.(Creole-HT) ======= Genesis 33:8 ============ Gen 33:8 And he said, What meanest thou by all this drove which I met? And he said, These are to find grace in the sight of my lord.(KJV-1611) Gen 33:8 Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan.(Creole-HT) ======= Genesis 33:9 ============ Gen 33:9 And Esau said, I have enough, my brother; keep that thou hast unto thyself.(KJV-1611) Gen 33:9 Ezaou di l': -Frè mwen, mwen gen tout sa m' bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 33:10 ============ Gen 33:10 And Jacob said, Nay, I pray thee, if now I have found grace in thy sight, then receive my present at my hand: for therefore I have seen thy face, as though I had seen the face of God, and thou wast pleased with me.(KJV-1611) Gen 33:10 Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen.(Creole-HT) ======= Genesis 33:11 ============ Gen 33:11 Take, I pray thee, my blessing that is brought to thee; because God hath dealt graciously with me, and because I have enough. And he urged him, and he took it.(KJV-1611) Gen 33:11 Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte.(Creole-HT) ======= Genesis 33:12 ============ Gen 33:12 And he said, Let us take our journey, and let us go, and I will go before thee.(KJV-1611) Gen 33:12 Li di: -Bon. Ann pati. Ann ale. M'ap pran devan ou.(Creole-HT) ======= Genesis 33:13 ============ Gen 33:13 And he said unto him, My lord knoweth that the children are tender, and the flocks and herds with young are with me: and if men should overdrive them one day, all the flock will die.(KJV-1611) Gen 33:13 Men Jakòb reponn li: -Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m' fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 33:14 ============ Gen 33:14 Let my lord, I pray thee, pass over before his servant: and I will lead on softly, according as the cattle that goeth before me and the children be able to endure, until I come unto my lord unto Seir.(KJV-1611) Gen 33:14 Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi.(Creole-HT) ======= Genesis 33:15 ============ Gen 33:15 And Esau said, Let me now leave with thee some of the folk that are with me. And he said, What needeth it? let me find grace in the sight of my lord.(KJV-1611) Gen 33:15 Ezaou di l': -Bon. m'a kite kèk moun nan moun pa m' yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay.(Creole-HT) ======= Genesis 33:16 ============ Gen 33:16 So Esau returned that day on his way unto Seir.(KJV-1611) Gen 33:16 Menm jou a, Ezaou pati tounen nan peyi Seyi.(Creole-HT) ======= Genesis 33:17 ============ Gen 33:17 And Jacob journeyed to Succoth, and built him an house, and made booths for his cattle: therefore the name of the place is called Succoth.(KJV-1611) Gen 33:17 Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sak fè yo rele kote sa a Soukòt.(Creole-HT) ======= Genesis 33:18 ============ Gen 33:18 And Jacob came to Shalem, a city of Shechem, which is in the land of Canaan, when he came from Padanaram; and pitched his tent before the city.(KJV-1611) Gen 33:18 Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 33:19 ============ Gen 33:19 And he bought a parcel of a field, where he had spread his tent, at the hand of the children of Hamor, Shechem's father, for an hundred pieces of money.(KJV-1611) Gen 33:19 Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm.(Creole-HT) ======= Genesis 33:20 ============ Gen 33:20 And he erected there an altar, and called it EleloheIsrael.(KJV-1611) Gen 33:20 Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 34:1 ============ Gen 34:1 And Dinah the daughter of Leah, which she bare unto Jacob, went out to see the daughters of the land.(KJV-1611) Gen 34:1 Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.(Creole-HT) ======= Genesis 34:2 ============ Gen 34:2 And when Shechem the son of Hamor the Hivite, prince of the country, saw her, he took her, and lay with her, and defiled her.(KJV-1611) Gen 34:2 Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.(Creole-HT) ======= Genesis 34:3 ============ Gen 34:3 And his soul clave unto Dinah the daughter of Jacob, and he loved the damsel, and spake kindly unto the damsel.(KJV-1611) Gen 34:3 Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.(Creole-HT) ======= Genesis 34:4 ============ Gen 34:4 And Shechem spake unto his father Hamor, saying, Get me this damsel to wife.(KJV-1611) Gen 34:4 Sichèm di Amò, papa l': -Al mande pou fi sa a pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 34:5 ============ Gen 34:5 And Jacob heard that he had defiled Dinah his daughter: now his sons were with his cattle in the field: and Jacob held his peace until they were come.(KJV-1611) Gen 34:5 Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dena, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l' yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen.(Creole-HT) ======= Genesis 34:6 ============ Gen 34:6 And Hamor the father of Shechem went out unto Jacob to commune with him.(KJV-1611) Gen 34:6 Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 34:7 ============ Gen 34:7 And the sons of Jacob came out of the field when they heard it: and the men were grieved, and they were very wroth, because he had wrought folly in Israel in lying with Jacob's daughter: which thing ought not to be done.(KJV-1611) Gen 34:7 Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt.(Creole-HT) ======= Genesis 34:8 ============ Gen 34:8 And Hamor communed with them, saying, The soul of my son Shechem longeth for your daughter: I pray you give her him to wife.(KJV-1611) Gen 34:8 Amò di yo konsa: -Pitit gason m' lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 34:9 ============ Gen 34:9 And make ye marriages with us, and give your daughters unto us, and take our daughters unto you.(KJV-1611) Gen 34:9 Ann pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. n'a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. n'a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 34:10 ============ Gen 34:10 And ye shall dwell with us: and the land shall be before you; dwell and trade ye therein, and get you possessions therein.(KJV-1611) Gen 34:10 Konsa n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. n'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle.(Creole-HT) ======= Genesis 34:11 ============ Gen 34:11 And Shechem said unto her father and unto her brethren, Let me find grace in your eyes, and what ye shall say unto me I will give.(KJV-1611) Gen 34:11 Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle.(Creole-HT) ======= Genesis 34:12 ============ Gen 34:12 Ask me never so much dowry and gift, and I will give according as ye shall say unto me: but give me the damsel to wife.(KJV-1611) Gen 34:12 Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a.(Creole-HT) ======= Genesis 34:13 ============ Gen 34:13 And the sons of Jacob answered Shechem and Hamor his father deceitfully, and said, because he had defiled Dinah their sister:(KJV-1611) Gen 34:13 Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 34:14 ============ Gen 34:14 And they said unto them, We cannot do this thing, to give our sister to one that is uncircumcised; for that were a reproach unto us:(KJV-1611) Gen 34:14 Yo di yo: -Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou.(Creole-HT) ======= Genesis 34:15 ============ Gen 34:15 But in this will we consent unto you: If ye will be as we be, that every male of you be circumcised;(KJV-1611) Gen 34:15 N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou.(Creole-HT) ======= Genesis 34:16 ============ Gen 34:16 Then will we give our daughters unto you, and we will take your daughters to us, and we will dwell with you, and we will become one people.(KJV-1611) Gen 34:16 Lè sa a atò, n'a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tout n'a ka marye ak pitit fi ou yo. n'a rete nan peyi a ansanm ansanm, n'a tounen yon sèl pèp.(Creole-HT) ======= Genesis 34:17 ============ Gen 34:17 But if ye will not hearken unto us, to be circumcised; then will we take our daughter, and we will be gone.(KJV-1611) Gen 34:17 Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n'ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou.(Creole-HT) ======= Genesis 34:18 ============ Gen 34:18 And their words pleased Hamor, and Shechem Hamor's son.(KJV-1611) Gen 34:18 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an.(Creole-HT) ======= Genesis 34:19 ============ Gen 34:19 And the young man deferred not to do the thing, because he had delight in Jacob's daughter: and he was more honourable than all the house of his father.(KJV-1611) Gen 34:19 Se konsa jenn gason an te prese fè sa yo te mande l' fè a, paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil. tout moun kay papa l' te konsidere l' anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 34:20 ============ Gen 34:20 And Hamor and Shechem his son came unto the gate of their city, and communed with the men of their city, saying,(KJV-1611) Gen 34:20 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:(Creole-HT) ======= Genesis 34:21 ============ Gen 34:21 These men are peaceable with us; therefore let them dwell in the land, and trade therein; for the land, behold, it is large enough for them; let us take their daughters to us for wives, and let us give them our daughters.(KJV-1611) Gen 34:21 -Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 34:22 ============ Gen 34:22 Only herein will the men consent unto us for to dwell with us, to be one people, if every male among us be circumcised, as they are circumcised.(KJV-1611) Gen 34:22 Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a.(Creole-HT) ======= Genesis 34:23 ============ Gen 34:23 Shall not their cattle and their substance and every beast of their's be our's? only let us consent unto them, and they will dwell with us.(KJV-1611) Gen 34:23 Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.(Creole-HT) ======= Genesis 34:24 ============ Gen 34:24 And unto Hamor and unto Shechem his son hearkened all that went out of the gate of his city; and every male was circumcised, all that went out of the gate of his city.(KJV-1611) Gen 34:24 tout moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= Genesis 34:25 ============ Gen 34:25 And it came to pass on the third day, when they were sore, that two of the sons of Jacob, Simeon and Levi, Dinah's brethren, took each man his sword, and came upon the city boldly, and slew all the males.(KJV-1611) Gen 34:25 Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.(Creole-HT) ======= Genesis 34:26 ============ Gen 34:26 And they slew Hamor and Shechem his son with the edge of the sword, and took Dinah out of Shechem's house, and went out.(KJV-1611) Gen 34:26 Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, yo pran Dena, yo fè l' kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 34:27 ============ Gen 34:27 The sons of Jacob came upon the slain, and spoiled the city, because they had defiled their sister.(KJV-1611) Gen 34:27 Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.(Creole-HT) ======= Genesis 34:28 ============ Gen 34:28 They took their sheep, and their oxen, and their asses, and that which was in the city, and that which was in the field,(KJV-1611) Gen 34:28 Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo.(Creole-HT) ======= Genesis 34:29 ============ Gen 34:29 And all their wealth, and all their little ones, and their wives took they captive, and spoiled even all that was in the house.(KJV-1611) Gen 34:29 Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye.(Creole-HT) ======= Genesis 34:30 ============ Gen 34:30 And Jacob said to Simeon and Levi, Ye have troubled me to make me to stink among the inhabitants of the land, among the Canaanites and the Perizzites: and I being few in number, they shall gather themselves together against me, and slay me; and I shall be destroyed, I and my house.(KJV-1611) Gen 34:30 Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 34:31 ============ Gen 34:31 And they said, Should he deal with our sister as with an harlot?(KJV-1611) Gen 34:31 Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!(Creole-HT) ======= Genesis 35:1 ============ Gen 35:1 And God said unto Jacob, Arise, go up to Bethel, and dwell there: and make there an altar unto God, that appeared unto thee when thou fleddest from the face of Esau thy brother.(KJV-1611) Gen 35:1 Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 35:2 ============ Gen 35:2 Then Jacob said unto his household, and to all that were with him, Put away the strange gods that are among you, and be clean, and change your garments:(KJV-1611) Gen 35:2 Se konsa Jakòb rele fanmi l' yo ansanm ak tout lòt moun ki avè l' yo. li di yo: -Pran tout lòt bondye etranje n'ap sèvi yo, voye yo jete. Mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mete rad nèt sou nou.(Creole-HT) ======= Genesis 35:3 ============ Gen 35:3 And let us arise, and go up to Bethel; and I will make there an altar unto God, who answered me in the day of my distress, and was with me in the way which I went.(KJV-1611) Gen 35:3 Nou pral kite kote nou ye a, nou pral Betèl, kote mwen pral bati yon lotèl pou Bondye ki te reponn lapriyè m' lè m' te anba tray la, pou Bondye ki te la avèk mwen kote m' pase nan vwayaj mwen te fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 35:4 ============ Gen 35:4 And they gave unto Jacob all the strange gods which were in their hand, and all their earrings which were in their ears; and Jacob hid them under the oak which was by Shechem.(KJV-1611) Gen 35:4 Se konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tout sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan.(Creole-HT) ======= Genesis 35:5 ============ Gen 35:5 And they journeyed: and the terror of God was upon the cities that were round about them, and they did not pursue after the sons of Jacob.(KJV-1611) Gen 35:5 Apre sa, yo pati. tout moun ki te rete nan zòn lan te vin pè Bondye anpil. Yo yonn pa leve al rapouswiv pitit Jakòb yo.(Creole-HT) ======= Genesis 35:6 ============ Gen 35:6 So Jacob came to Luz, which is in the land of Canaan, that is, Bethel, he and all the people that were with him.(KJV-1611) Gen 35:6 Jakòb rive ansanm ak tout moun ki te avè l' yo lavil Louz, nan peyi Kanaran. Se lavil sa a yo rele Betèl tou.(Creole-HT) ======= Genesis 35:7 ============ Gen 35:7 And he built there an altar, and called the place Elbethel: because there God appeared unto him, when he fled from the face of his brother.(KJV-1611) Gen 35:7 Li bati yon lotèl la, li rele kote a Betèl, paske se la Bondye te parèt devan li lè li t'ap kouri pou frè l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 35:8 ============ Gen 35:8 But Deborah Rebekah's nurse died, and she was buried beneath Bethel under an oak: and the name of it was called Allonbachuth.(KJV-1611) Gen 35:8 Lè sa a, Debora, bòn Rebeka a, mouri. Yo antere l' pi ba Betèl, anba pye bwadchenn lan. Se konsa yo rele pye bwadchenn lan: chenn dlo nan je a.(Creole-HT) ======= Genesis 35:9 ============ Gen 35:9 And God appeared unto Jacob again, when he came out of Padanaram, and blessed him.(KJV-1611) Gen 35:9 Lè Jakòb te tounen soti Mezopotami, Bondye parèt ankò devan li, li beni li.(Creole-HT) ======= Genesis 35:10 ============ Gen 35:10 And God said unto him, Thy name is Jacob: thy name shall not be called any more Jacob, but Israel shall be thy name: and he called his name Israel.(KJV-1611) Gen 35:10 Bondye di l' konsa: -Yo rele ou Jakòb pa sa? Men, yo p'ap rele ou Jakòb ankò, y'a rele ou Izrayèl. Depi lè sa a, se Izrayèl yo rele l' vre.(Creole-HT) ======= Genesis 35:11 ============ Gen 35:11 And God said unto him, I am God Almighty: be fruitful and multiply; a nation and a company of nations shall be of thee, and kings shall come out of thy loins;(KJV-1611) Gen 35:11 Bondye di l' ankò: -Se mwen menm Bondye ki gen tout pouvwa a. W'ap gen anpil pitit ak pitit pitit. Gen ladan yo k'ap wa. W'ap si tèlman gen anpil pitit pitit, y'a tounen yon kantite nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 35:12 ============ Gen 35:12 And the land which I gave Abraham and Isaac, to thee I will give it, and to thy seed after thee will I give the land.(KJV-1611) Gen 35:12 Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m'ap ba ou li tou. Apre sa, m'ap bay pitit pitit ou yo li.(Creole-HT) ======= Genesis 35:13 ============ Gen 35:13 And God went up from him in the place where he talked with him.(KJV-1611) Gen 35:13 Apre sa, Bondye kite l' kote li t'ap pale ak li a, li moute nan syèl.(Creole-HT) ======= Genesis 35:14 ============ Gen 35:14 And Jacob set up a pillar in the place where he talked with him, even a pillar of stone: and he poured a drink offering thereon, and he poured oil thereon.(KJV-1611) Gen 35:14 Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li.(Creole-HT) ======= Genesis 35:15 ============ Gen 35:15 And Jacob called the name of the place where God spake with him, Bethel.(KJV-1611) Gen 35:15 Li rele kote Bondye te pale avè l' la Betèl.(Creole-HT) ======= Genesis 35:16 ============ Gen 35:16 And they journeyed from Bethel; and there was but a little way to come to Ephrath: and Rachel travailed, and she had hard labour.(KJV-1611) Gen 35:16 Apre sa, yo pati yo kite Betèl. Yo pa t' twò lwen rive lavil Efrata lè lè a te rive pou Rachèl akouche. Li t'ap soufri anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 35:17 ============ Gen 35:17 And it came to pass, when she was in hard labour, that the midwife said unto her, Fear not; thou shalt have this son also.(KJV-1611) Gen 35:17 Lè doulè a te pi rèd, fanmchay la di l': -Ou pa bezwen pè. Ou fè yon pitit gason ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 35:18 ============ Gen 35:18 And it came to pass, as her soul was in departing, (for she died) that she called his name Benoni: but his father called him Benjamin.(KJV-1611) Gen 35:18 Rachèl tapral mouri, li t'ap rann dènye souf li lè li rele pitit la Bennoni. Men papa a rele l' Benjamen.(Creole-HT) ======= Genesis 35:19 ============ Gen 35:19 And Rachel died, and was buried in the way to Ephrath, which is Bethlehem.(KJV-1611) Gen 35:19 Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou.(Creole-HT) ======= Genesis 35:20 ============ Gen 35:20 And Jacob set a pillar upon her grave: that is the pillar of Rachel's grave unto this day.(KJV-1611) Gen 35:20 Jakòb make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l' Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Genesis 35:21 ============ Gen 35:21 And Israel journeyed, and spread his tent beyond the tower of Edar.(KJV-1611) Gen 35:21 Apre sa, Izrayèl pati, li al moute tant li lòt bò Migdaledè.(Creole-HT) ======= Genesis 35:22 ============ Gen 35:22 And it came to pass, when Israel dwelt in that land, that Reuben went and lay with Bilhah his father's concubine: and Israel heard it. Now the sons of Jacob were twelve:(KJV-1611) Gen 35:22 Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.(Creole-HT) ======= Genesis 35:23 ============ Gen 35:23 The sons of Leah; Reuben, Jacob's firstborn, and Simeon, and Levi, and Judah, and Issachar, and Zebulun:(KJV-1611) Gen 35:23 Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.(Creole-HT) ======= Genesis 35:24 ============ Gen 35:24 The sons of Rachel; Joseph, and Benjamin:(KJV-1611) Gen 35:24 Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen.(Creole-HT) ======= Genesis 35:25 ============ Gen 35:25 And the sons of Bilhah, Rachel's handmaid; Dan, and Naphtali:(KJV-1611) Gen 35:25 Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali.(Creole-HT) ======= Genesis 35:26 ============ Gen 35:26 And the sons of Zilpah, Leah's handmaid: Gad, and Asher: these are the sons of Jacob, which were born to him in Padanaram.(KJV-1611) Gen 35:26 Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.(Creole-HT) ======= Genesis 35:27 ============ Gen 35:27 And Jacob came unto Isaac his father unto Mamre, unto the city of Arbah, which is Hebron, where Abraham and Isaac sojourned.(KJV-1611) Gen 35:27 Jakòb al wè papa l' Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 35:28 ============ Gen 35:28 And the days of Isaac were an hundred and fourscore years.(KJV-1611) Gen 35:28 Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li(Creole-HT) ======= Genesis 35:29 ============ Gen 35:29 And Isaac gave up the ghost, and died, and was gathered unto his people, being old and full of days: and his sons Esau and Jacob buried him.(KJV-1611) Gen 35:29 lè li mouri. Li te fin granmoun, li te wè kont jou li lè l' al jwenn moun li yo ki te mouri deja. Ezaou ak Jakòb, pitit gason l' yo, antere li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:1 ============ Gen 36:1 Now these are the generations of Esau, who is Edom.(KJV-1611) Gen 36:1 Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.(Creole-HT) ======= Genesis 36:2 ============ Gen 36:2 Esau took his wives of the daughters of Canaan; Adah the daughter of Elon the Hittite, and Aholibamah the daughter of Anah the daughter of Zibeon the Hivite;(KJV-1611) Gen 36:2 Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi.(Creole-HT) ======= Genesis 36:3 ============ Gen 36:3 And Bashemath Ishmael's daughter, sister of Nebajoth.(KJV-1611) Gen 36:3 Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt.(Creole-HT) ======= Genesis 36:4 ============ Gen 36:4 And Adah bare to Esau Eliphaz; and Bashemath bare Reuel;(KJV-1611) Gen 36:4 Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl,(Creole-HT) ======= Genesis 36:5 ============ Gen 36:5 And Aholibamah bare Jeush, and Jaalam, and Korah: these are the sons of Esau, which were born unto him in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 36:5 Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 36:6 ============ Gen 36:6 And Esau took his wives, and his sons, and his daughters, and all the persons of his house, and his cattle, and all his beasts, and all his substance, which he had got in the land of Canaan; and went into the country from the face of his brother Jacob.(KJV-1611) Gen 36:6 Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:7 ============ Gen 36:7 For their riches were more than that they might dwell together; and the land wherein they were strangers could not bear them because of their cattle.(KJV-1611) Gen 36:7 Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a.(Creole-HT) ======= Genesis 36:8 ============ Gen 36:8 Thus dwelt Esau in mount Seir: Esau is Edom.(KJV-1611) Gen 36:8 Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.(Creole-HT) ======= Genesis 36:9 ============ Gen 36:9 And these are the generations of Esau the father of the Edomites in mount Seir:(KJV-1611) Gen 36:9 Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 36:10 ============ Gen 36:10 These are the names of Esau's sons; Eliphaz the son of Adah the wife of Esau, Reuel the son of Bashemath the wife of Esau.(KJV-1611) Gen 36:10 Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou.(Creole-HT) ======= Genesis 36:11 ============ Gen 36:11 And the sons of Eliphaz were Teman, Omar, Zepho, and Gatam, and Kenaz.(KJV-1611) Gen 36:11 Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz.(Creole-HT) ======= Genesis 36:12 ============ Gen 36:12 And Timna was concubine to Eliphaz Esau's son; and she bare to Eliphaz Amalek: these were the sons of Adah Esau's wife.(KJV-1611) Gen 36:12 Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 36:13 ============ Gen 36:13 And these are the sons of Reuel; Nahath, and Zerah, Shammah, and Mizzah: these were the sons of Bashemath Esau's wife.(KJV-1611) Gen 36:13 Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou.(Creole-HT) ======= Genesis 36:14 ============ Gen 36:14 And these were the sons of Aholibamah, the daughter of Anah the daughter of Zibeon, Esau's wife: and she bare to Esau Jeush, and Jaalam, and Korah.(KJV-1611) Gen 36:14 Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon.(Creole-HT) ======= Genesis 36:15 ============ Gen 36:15 These were dukes of the sons of Esau: the sons of Eliphaz the firstborn son of Esau; duke Teman, duke Omar, duke Zepho, duke Kenaz,(KJV-1611) Gen 36:15 Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz,(Creole-HT) ======= Genesis 36:16 ============ Gen 36:16 Duke Korah, duke Gatam, and duke Amalek: these are the dukes that came of Eliphaz in the land of Edom; these were the sons of Adah.(KJV-1611) Gen 36:16 Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye.(Creole-HT) ======= Genesis 36:17 ============ Gen 36:17 And these are the sons of Reuel Esau's son; duke Nahath, duke Zerah, duke Shammah, duke Mizzah: these are the dukes that came of Reuel in the land of Edom; these are the sons of Bashemath Esau's wife.(KJV-1611) Gen 36:17 Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye.(Creole-HT) ======= Genesis 36:18 ============ Gen 36:18 And these are the sons of Aholibamah Esau's wife; duke Jeush, duke Jaalam, duke Korah: these were the dukes that came of Aholibamah the daughter of Anah, Esau's wife.(KJV-1611) Gen 36:18 Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana.(Creole-HT) ======= Genesis 36:19 ============ Gen 36:19 These are the sons of Esau, who is Edom, and these are their dukes.(KJV-1611) Gen 36:19 Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 36:20 ============ Gen 36:20 These are the sons of Seir the Horite, who inhabited the land; Lotan, and Shobal, and Zibeon, and Anah,(KJV-1611) Gen 36:20 Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,(Creole-HT) ======= Genesis 36:21 ============ Gen 36:21 And Dishon, and Ezer, and Dishan: these are the dukes of the Horites, the children of Seir in the land of Edom.(KJV-1611) Gen 36:21 Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon.(Creole-HT) ======= Genesis 36:22 ============ Gen 36:22 And the children of Lotan were Hori and Hemam; and Lotan's sister was Timna.(KJV-1611) Gen 36:22 Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan.(Creole-HT) ======= Genesis 36:23 ============ Gen 36:23 And the children of Shobal were these; Alvan, and Manahath, and Ebal, Shepho, and Onam.(KJV-1611) Gen 36:23 Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam.(Creole-HT) ======= Genesis 36:24 ============ Gen 36:24 And these are the children of Zibeon; both Ajah, and Anah: this was that Anah that found the mules in the wilderness, as he fed the asses of Zibeon his father.(KJV-1611) Gen 36:24 Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 36:25 ============ Gen 36:25 And the children of Anah were these; Dishon, and Aholibamah the daughter of Anah.(KJV-1611) Gen 36:25 Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi.(Creole-HT) ======= Genesis 36:26 ============ Gen 36:26 And these are the children of Dishon; Hemdan, and Eshban, and Ithran, and Cheran.(KJV-1611) Gen 36:26 Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran.(Creole-HT) ======= Genesis 36:27 ============ Gen 36:27 The children of Ezer are these; Bilhan, and Zaavan, and Akan.(KJV-1611) Gen 36:27 Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan.(Creole-HT) ======= Genesis 36:28 ============ Gen 36:28 The children of Dishan are these; Uz, and Aran.(KJV-1611) Gen 36:28 Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran.(Creole-HT) ======= Genesis 36:29 ============ Gen 36:29 These are the dukes that came of the Horites; duke Lotan, duke Shobal, duke Zibeon, duke Anah,(KJV-1611) Gen 36:29 Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,(Creole-HT) ======= Genesis 36:30 ============ Gen 36:30 Duke Dishon, duke Ezer, duke Dishan: these are the dukes that came of Hori, among their dukes in the land of Seir.(KJV-1611) Gen 36:30 Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi.(Creole-HT) ======= Genesis 36:31 ============ Gen 36:31 And these are the kings that reigned in the land of Edom, before there reigned any king over the children of Israel.(KJV-1611) Gen 36:31 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 36:32 ============ Gen 36:32 And Bela the son of Beor reigned in Edom: and the name of his city was Dinhabah.(KJV-1611) Gen 36:32 Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba.(Creole-HT) ======= Genesis 36:33 ============ Gen 36:33 And Bela died, and Jobab the son of Zerah of Bozrah reigned in his stead.(KJV-1611) Gen 36:33 Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:34 ============ Gen 36:34 And Jobab died, and Husham of the land of Temani reigned in his stead.(KJV-1611) Gen 36:34 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:35 ============ Gen 36:35 And Husham died, and Hadad the son of Bedad, who smote Midian in the field of Moab, reigned in his stead: and the name of his city was Avith.(KJV-1611) Gen 36:35 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit.(Creole-HT) ======= Genesis 36:36 ============ Gen 36:36 And Hadad died, and Samlah of Masrekah reigned in his stead.(KJV-1611) Gen 36:36 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:37 ============ Gen 36:37 And Samlah died, and Saul of Rehoboth by the river reigned in his stead.(KJV-1611) Gen 36:37 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:38 ============ Gen 36:38 And Saul died, and Baalhanan the son of Achbor reigned in his stead.(KJV-1611) Gen 36:38 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= Genesis 36:39 ============ Gen 36:39 And Baalhanan the son of Achbor died, and Hadar reigned in his stead: and the name of his city was Pau; and his wife's name was Mehetabel, the daughter of Matred, the daughter of Mezahab.(KJV-1611) Gen 36:39 Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab.(Creole-HT) ======= Genesis 36:40 ============ Gen 36:40 And these are the names of the dukes that came of Esau, according to their families, after their places, by their names; duke Timnah, duke Alvah, duke Jetheth,(KJV-1611) Gen 36:40 Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt,(Creole-HT) ======= Genesis 36:41 ============ Gen 36:41 Duke Aholibamah, duke Elah, duke Pinon,(KJV-1611) Gen 36:41 Olibama, Ela, Penon,(Creole-HT) ======= Genesis 36:42 ============ Gen 36:42 Duke Kenaz, duke Teman, duke Mibzar,(KJV-1611) Gen 36:42 Kenaz, Teman, Mibza,(Creole-HT) ======= Genesis 36:43 ============ Gen 36:43 Duke Magdiel, duke Iram: these be the dukes of Edom, according to their habitations in the land of their possession: he is Esau the father of the Edomites.(KJV-1611) Gen 36:43 Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.(Creole-HT) ======= Genesis 37:1 ============ Gen 37:1 And Jacob dwelt in the land wherein his father was a stranger, in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 37:1 Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 37:2 ============ Gen 37:2 These are the generations of Jacob. Joseph, being seventeen years old, was feeding the flock with his brethren; and the lad was with the sons of Bilhah, and with the sons of Zilpah, his father's wives: and Joseph brought unto his father their evil report.(KJV-1611) Gen 37:2 Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè.(Creole-HT) ======= Genesis 37:3 ============ Gen 37:3 Now Israel loved Joseph more than all his children, because he was the son of his old age: and he made him a coat of many colours.(KJV-1611) Gen 37:3 Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 37:4 ============ Gen 37:4 And when his brethren saw that their father loved him more than all his brethren, they hated him, and could not speak peaceably unto him.(KJV-1611) Gen 37:4 Lè frè l' yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avè l' san yo pa joure l'.(Creole-HT) ======= Genesis 37:5 ============ Gen 37:5 And Joseph dreamed a dream, and he told it his brethren: and they hated him yet the more.(KJV-1611) Gen 37:5 Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou.(Creole-HT) ======= Genesis 37:6 ============ Gen 37:6 And he said unto them, Hear, I pray you, this dream which I have dreamed:(KJV-1611) Gen 37:6 Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè.(Creole-HT) ======= Genesis 37:7 ============ Gen 37:7 For, behold, we were binding sheaves in the field, and, lo, my sheaf arose, and also stood upright; and, behold, your sheaves stood round about, and made obeisance to my sheaf.(KJV-1611) Gen 37:7 Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe.(Creole-HT) ======= Genesis 37:8 ============ Gen 37:8 And his brethren said to him, Shalt thou indeed reign over us? or shalt thou indeed have dominion over us? And they hated him yet the more for his dreams, and for his words.(KJV-1611) Gen 37:8 Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 37:9 ============ Gen 37:9 And he dreamed yet another dream, and told it his brethren, and said, Behold, I have dreamed a dream more; and, behold, the sun and the moon and the eleven stars made obeisance to me.(KJV-1611) Gen 37:9 Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 37:10 ============ Gen 37:10 And he told it to his father, and to his brethren: and his father rebuked him, and said unto him, What is this dream that thou hast dreamed? Shall I and thy mother and thy brethren indeed come to bow down ourselves to thee to the earth?(KJV-1611) Gen 37:10 Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?(Creole-HT) ======= Genesis 37:11 ============ Gen 37:11 And his brethren envied him; but his father observed the saying.(KJV-1611) Gen 37:11 Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.(Creole-HT) ======= Genesis 37:12 ============ Gen 37:12 And his brethren went to feed their father's flock in Shechem.(KJV-1611) Gen 37:12 Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.(Creole-HT) ======= Genesis 37:13 ============ Gen 37:13 And Israel said unto Joseph, Do not thy brethren feed the flock in Shechem? come, and I will send thee unto them. And he said to him, Here am I.(KJV-1611) Gen 37:13 Izrayèl rele Jozèf, li di l' konsa: -Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: -Men mwen wi, papa.(Creole-HT) ======= Genesis 37:14 ============ Gen 37:14 And he said to him, Go, I pray thee, see whether it be well with thy brethren, and well with the flocks; and bring me word again. So he sent him out of the vale of Hebron, and he came to Shechem.(KJV-1611) Gen 37:14 Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,(Creole-HT) ======= Genesis 37:15 ============ Gen 37:15 And a certain man found him, and, behold, he was wandering in the field: and the man asked him, saying, What seekest thou?(KJV-1611) Gen 37:15 li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa?(Creole-HT) ======= Genesis 37:16 ============ Gen 37:16 And he said, I seek my brethren: tell me, I pray thee, where they feed their flocks.(KJV-1611) Gen 37:16 Jozèf reponn li: -M'ap chache frè m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bèt yo al manje.(Creole-HT) ======= Genesis 37:17 ============ Gen 37:17 And the man said, They are departed hence; for I heard them say, Let us go to Dothan. And Joseph went after his brethren, and found them in Dothan.(KJV-1611) Gen 37:17 Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l' yo, li jwenn yo Dotan.(Creole-HT) ======= Genesis 37:18 ============ Gen 37:18 And when they saw him afar off, even before he came near unto them, they conspired against him to slay him.(KJV-1611) Gen 37:18 Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Genesis 37:19 ============ Gen 37:19 And they said one to another, Behold, this dreamer cometh.(KJV-1611) Gen 37:19 Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini.(Creole-HT) ======= Genesis 37:20 ============ Gen 37:20 Come now therefore, and let us slay him, and cast him into some pit, and we will say, Some evil beast hath devoured him: and we shall see what will become of his dreams.(KJV-1611) Gen 37:20 Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre.(Creole-HT) ======= Genesis 37:21 ============ Gen 37:21 And Reuben heard it, and he delivered him out of their hands; and said, Let us not kill him.(KJV-1611) Gen 37:21 Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'.(Creole-HT) ======= Genesis 37:22 ============ Gen 37:22 And Reuben said unto them, Shed no blood, but cast him into this pit that is in the wilderness, and lay no hand upon him; that he might rid him out of their hands, to deliver him to his father again.(KJV-1611) Gen 37:22 Pa fè san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezè a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 37:23 ============ Gen 37:23 And it came to pass, when Joseph was come unto his brethren, that they stript Joseph out of his coat, his coat of many colours that was on him;(KJV-1611) Gen 37:23 Lè Jozèf rive bò kote frè l' yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a.(Creole-HT) ======= Genesis 37:24 ============ Gen 37:24 And they took him, and cast him into a pit: and the pit was empty, there was no water in it.(KJV-1611) Gen 37:24 Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo.(Creole-HT) ======= Genesis 37:25 ============ Gen 37:25 And they sat down to eat bread: and they lifted up their eyes and looked, and, behold, a company of Ishmeelites came from Gilead with their camels bearing spicery and balm and myrrh, going to carry it down to Egypt.(KJV-1611) Gen 37:25 Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Genesis 37:26 ============ Gen 37:26 And Judah said unto his brethren, What profit is it if we slay our brother, and conceal his blood?(KJV-1611) Gen 37:26 Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa?(Creole-HT) ======= Genesis 37:27 ============ Gen 37:27 Come, and let us sell him to the Ishmeelites, and let not our hand be upon him; for he is our brother and our flesh. And his brethren were content.(KJV-1611) Gen 37:27 Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frè nou li ye, se menm san ak nou. Frè l' yo tonbe dakò.(Creole-HT) ======= Genesis 37:28 ============ Gen 37:28 Then there passed by Midianites merchantmen; and they drew and lifted up Joseph out of the pit, and sold Joseph to the Ishmeelites for twenty pieces of silver: and they brought Joseph into Egypt.(KJV-1611) Gen 37:28 Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Genesis 37:29 ============ Gen 37:29 And Reuben returned unto the pit; and, behold, Joseph was not in the pit; and he rent his clothes.(KJV-1611) Gen 37:29 Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.(Creole-HT) ======= Genesis 37:30 ============ Gen 37:30 And he returned unto his brethren, and said, The child is not; and I, whither shall I go?(KJV-1611) Gen 37:30 Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a?(Creole-HT) ======= Genesis 37:31 ============ Gen 37:31 And they took Joseph's coat, and killed a kid of the goats, and dipped the coat in the blood;(KJV-1611) Gen 37:31 Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l' nan san an.(Creole-HT) ======= Genesis 37:32 ============ Gen 37:32 And they sent the coat of many colours, and they brought it to their father; and said, This have we found: know now whether it be thy son's coat or no.(KJV-1611) Gen 37:32 Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= Genesis 37:33 ============ Gen 37:33 And he knew it, and said, It is my son's coat; an evil beast hath devoured him; Joseph is without doubt rent in pieces.(KJV-1611) Gen 37:33 Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 37:34 ============ Gen 37:34 And Jacob rent his clothes, and put sackcloth upon his loins, and mourned for his son many days.(KJV-1611) Gen 37:34 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 37:35 ============ Gen 37:35 And all his sons and all his daughters rose up to comfort him; but he refused to be comforted; and he said, For I will go down into the grave unto my son mourning. Thus his father wept for him.(KJV-1611) Gen 37:35 tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 37:36 ============ Gen 37:36 And the Midianites sold him into Egypt unto Potiphar, an officer of Pharaoh's, and captain of the guard.(KJV-1611) Gen 37:36 Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.(Creole-HT) ======= Genesis 38:1 ============ Gen 38:1 And it came to pass at that time, that Judah went down from his brethren, and turned in to a certain Adullamite, whose name was Hirah.(KJV-1611) Gen 38:1 Lè sa a, Jida kite frè l' yo, li al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.(Creole-HT) ======= Genesis 38:2 ============ Gen 38:2 And Judah saw there a daughter of a certain Canaanite, whose name was Shuah; and he took her, and went in unto her.(KJV-1611) Gen 38:2 Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 38:3 ============ Gen 38:3 And she conceived, and bare a son; and he called his name Er.(KJV-1611) Gen 38:3 Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason. Jida rele pitit la Er.(Creole-HT) ======= Genesis 38:4 ============ Gen 38:4 And she conceived again, and bare a son; and she called his name Onan.(KJV-1611) Gen 38:4 Madanm lan vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason, yo rele l' Onan.(Creole-HT) ======= Genesis 38:5 ============ Gen 38:5 And she yet again conceived, and bare a son; and called his name Shelah: and he was at Chezib, when she bare him.(KJV-1611) Gen 38:5 Li fè yon lòt pitit gason ankò, yo rele l' Chela. Jida te lavil Kezib lè madanm li fè Chela.(Creole-HT) ======= Genesis 38:6 ============ Gen 38:6 And Judah took a wife for Er his firstborn, whose name was Tamar.(KJV-1611) Gen 38:6 Jida chwazi yon fi yo rele Tama pou Er, premye pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 38:7 ============ Gen 38:7 And Er, Judah's firstborn, was wicked in the sight of the LORD; and the LORD slew him.(KJV-1611) Gen 38:7 Men Er, premye pitit Jida a, pa t' fè Seyè a plezi paske li te twò mechan. Se konsa Seyè a te fè l' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 38:8 ============ Gen 38:8 And Judah said unto Onan, Go in unto thy brother's wife, and marry her, and raise up seed to thy brother.(KJV-1611) Gen 38:8 Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.(Creole-HT) ======= Genesis 38:9 ============ Gen 38:9 And Onan knew that the seed should not be his; and it came to pass, when he went in unto his brother's wife, that he spilled it on the ground, lest that he should give seed to his brother.(KJV-1611) Gen 38:9 Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a.(Creole-HT) ======= Genesis 38:10 ============ Gen 38:10 And the thing which he did displeased the LORD: wherefore he slew him also.(KJV-1611) Gen 38:10 Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.(Creole-HT) ======= Genesis 38:11 ============ Gen 38:11 Then said Judah to Tamar his daughter in law, Remain a widow at thy father's house, till Shelah my son be grown: for he said, Lest peradventure he die also, as his brethren did. And Tamar went and dwelt in her father's house.(KJV-1611) Gen 38:11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi li a: -Ou mèt tounen kay papa ou, rete vèv san marye jouk tan Chela, lòt gason m' lan, vin gran. Li te di l' sa paske li te pè pou Chela pa t' mouri tankou frè l' yo. Tama menm tounen rete kay papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 38:12 ============ Gen 38:12 And in process of time the daughter of Shuah Judah's wife died; and Judah was comforted, and went up unto his sheepshearers to Timnath, he and his friend Hirah the Adullamite.(KJV-1611) Gen 38:12 Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 38:13 ============ Gen 38:13 And it was told Tamar, saying, Behold thy father in law goeth up to Timnath to shear his sheep.(KJV-1611) Gen 38:13 Yo fè Tama konn sa, yo di l': -Gade. Men bòpè ou ap moute al Timna, pou l' fè taye lenn mouton li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 38:14 ============ Gen 38:14 And she put her widow's garments off from her, and covered her with a vail, and wrapped herself, and sat in an open place, which is by the way to Timnath; for she saw that Shelah was grown, and she was not given unto him to wife.(KJV-1611) Gen 38:14 Se konsa, Tama wete rad vèv ki te sou li a, li kouvri tèt li ak yon vwal, li al chita bò pòtay lavil Enayim, sou chemen ki mennen Timna a. Li te wè Chela te fin gran, men Jida pa t' pran l' bay Chela pou madanm.(Creole-HT) ======= Genesis 38:15 ============ Gen 38:15 When Judah saw her, he thought her to be an harlot; because she had covered her face.(KJV-1611) Gen 38:15 Lè Jida wè l', li konprann se te yon jennès, paske figi l' te kouvri.(Creole-HT) ======= Genesis 38:16 ============ Gen 38:16 And he turned unto her by the way, and said, Go to, I pray thee, let me come in unto thee; (for he knew not that she was his daughter in law.) And she said, What wilt thou give me, that thou mayest come in unto me?(KJV-1611) Gen 38:16 li al jwenn li bò chemen an, li di l': -vin non. Kite m' kouche avè ou. Li pa t' konnen se bèlfi li li te ye. Tama di li: -Kisa w'ap ban mwen pou m' kite ou kouche avè m'.(Creole-HT) ======= Genesis 38:17 ============ Gen 38:17 And he said, I will send thee a kid from the flock. And she said, Wilt thou give me a pledge, till thou send it?(KJV-1611) Gen 38:17 Jida reponn li: -m'a voye yon jenn kabrit ba ou nan bèt mwen yo. Tama di li: -Kisa w'a ban m' kenbe jouk ou voye l' ban mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 38:18 ============ Gen 38:18 And he said, What pledge shall I give thee? And she said, Thy signet, and thy bracelets, and thy staff that is in thine hand. And he gave it her, and came in unto her, and she conceived by him.(KJV-1611) Gen 38:18 Jida reponn li: -Kisa ou vle m' ba ou kenbe? Tama di li: -Letanp ou a ak tout kòd li, ansanm ak baton ki nan men ou lan. Jida ba li yo. Li kouche ak li. Tama vin ansent pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 38:19 ============ Gen 38:19 And she arose, and went away, and laid by her vail from her, and put on the garments of her widowhood.(KJV-1611) Gen 38:19 Apre sa Tama leve, li al fè wout li. Li wete vwal la, epi li mete rad vèv li sou li ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 38:20 ============ Gen 38:20 And Judah sent the kid by the hand of his friend the Adullamite, to receive his pledge from the woman's hand: but he found her not.(KJV-1611) Gen 38:20 Jida voye zanmi l', moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l' te ka reprann sa l' te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l' lan pa t' kapab jwenn fanm lan.(Creole-HT) ======= Genesis 38:21 ============ Gen 38:21 Then he asked the men of that place, saying, Where is the harlot, that was openly by the way side? And they said, There was no harlot in this place.(KJV-1611) Gen 38:21 Li mande mesye ki te la yo. Kote jennès ki te chita bò chemen an, sou pòtay lavil Enayim lan? Yo reponn li: -Pa janm gen ankenn jennès bò isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 38:22 ============ Gen 38:22 And he returned to Judah, and said, I cannot find her; and also the men of the place said, that there was no harlot in this place.(KJV-1611) Gen 38:22 Li tounen al jwenn Jida, li di l': -Mwen pa jwenn li non. Mesye nan zòn lan di m' pa janm gen ankenn jennès bò la.(Creole-HT) ======= Genesis 38:23 ============ Gen 38:23 And Judah said, Let her take it to her, lest we be shamed: behold, I sent this kid, and thou hast not found her.(KJV-1611) Gen 38:23 Jida di l': -Pa fatige kò ou chache reprann sak nan men l' lan. Moun va pase m' nan betiz twòp. Mwen voye kabrit la ba li, ou pa jwenn li. Kite sa!(Creole-HT) ======= Genesis 38:24 ============ Gen 38:24 And it came to pass about three months after, that it was told Judah, saying, Tamar thy daughter in law hath played the harlot; and also, behold, she is with child by whoredom. And Judah said, Bring her forth, and let her be burnt.(KJV-1611) Gen 38:24 Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 38:25 ============ Gen 38:25 When she was brought forth, she sent to her father in law, saying, By the man, whose these are, am I with child: and she said, Discern, I pray thee, whose are these, the signet, and bracelets, and staff.(KJV-1611) Gen 38:25 Yo t'ap mennen Tama deyò lavil la lè li voye komisyon sa a bay bòpè li: -Se pou mèt bagay sa yo mwen ansent. Gade wè si ou rekonèt ki moun ki mèt letanp sa a ak tout kòd li ansanm ak baton sa a?(Creole-HT) ======= Genesis 38:26 ============ Gen 38:26 And Judah acknowledged them, and said, She hath been more righteous than I; because that I gave her not to Shelah my son. And he knew her again no more.(KJV-1611) Gen 38:26 Jida rekonèt yo, li di: -Li gen rezon. Se mwen menm ki antò. Mwen te dwe fè l' marye ak Chela, pitit gason m' lan. Jida pa t' kouche avè l' ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 38:27 ============ Gen 38:27 And it came to pass in the time of her travail, that, behold, twins were in her womb.(KJV-1611) Gen 38:27 Lè lè a rive pou Tama akouche, yo wè li te gen marasa nan vant li.(Creole-HT) ======= Genesis 38:28 ============ Gen 38:28 And it came to pass, when she travailed, that the one put out his hand: and the midwife took and bound upon his hand a scarlet thread, saying, This came out first.(KJV-1611) Gen 38:28 Pandan li te gen tranche, yonn nan timoun yo lonje men l' deyò. Fanmchay la kenbe men an, li mare yon moso fil wouj ladan l'. Li di: -Sa a fèt anvan.(Creole-HT) ======= Genesis 38:29 ============ Gen 38:29 And it came to pass, as he drew back his hand, that, behold, his brother came out: and she said, How hast thou broken forth? this breach be upon thee: therefore his name was called Pharez.(KJV-1611) Gen 38:29 Men pitit la rale men an antre, epi se lòt frè a ki soti anvan. Fanmchay la di: -Se konsa ou fè chemen pou ou pase! Se poutèt sa yo rele l' Perèz.(Creole-HT) ======= Genesis 38:30 ============ Gen 38:30 And afterward came out his brother, that had the scarlet thread upon his hand: and his name was called Zarah.(KJV-1611) Gen 38:30 Apre sa, frè li a soti ak fil wouj la mare nan men l'. Yo rele l' Zerak.(Creole-HT) ======= Genesis 39:1 ============ Gen 39:1 And Joseph was brought down to Egypt; and Potiphar, an officer of Pharaoh, captain of the guard, an Egyptian, bought him of the hands of the Ishmeelites, which had brought him down thither.(KJV-1611) Gen 39:1 Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo.(Creole-HT) ======= Genesis 39:2 ============ Gen 39:2 And the LORD was with Joseph, and he was a prosperous man; and he was in the house of his master the Egyptian.(KJV-1611) Gen 39:2 Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 39:3 ============ Gen 39:3 And his master saw that the LORD was with him, and that the LORD made all that he did to prosper in his hand.(KJV-1611) Gen 39:3 Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.(Creole-HT) ======= Genesis 39:4 ============ Gen 39:4 And Joseph found grace in his sight, and he served him: and he made him overseer over his house, and all that he had he put into his hand.(KJV-1611) Gen 39:4 Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 39:5 ============ Gen 39:5 And it came to pass from the time that he had made him overseer in his house, and over all that he had, that the LORD blessed the Egyptian's house for Joseph's sake; and the blessing of the LORD was upon all that he had in the house, and in the field.(KJV-1611) Gen 39:5 Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:6 ============ Gen 39:6 And he left all that he had in Joseph's hand; and he knew not ought he had, save the bread which he did eat. And Joseph was a goodly person, and well favoured.(KJV-1611) Gen 39:6 Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.(Creole-HT) ======= Genesis 39:7 ============ Gen 39:7 And it came to pass after these things, that his master's wife cast her eyes upon Joseph; and she said, Lie with me.(KJV-1611) Gen 39:7 Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non!(Creole-HT) ======= Genesis 39:8 ============ Gen 39:8 But he refused, and said unto his master's wife, Behold, my master wotteth not what is with me in the house, and he hath committed all that he hath to my hand;(KJV-1611) Gen 39:8 Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:9 ============ Gen 39:9 There is none greater in this house than I; neither hath he kept back any thing from me but thee, because thou art his wife: how then can I do this great wickedness, and sin against God?(KJV-1611) Gen 39:9 Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye?(Creole-HT) ======= Genesis 39:10 ============ Gen 39:10 And it came to pass, as she spake to Joseph day by day, that he hearkened not unto her, to lie by her, or to be with her.(KJV-1611) Gen 39:10 Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:11 ============ Gen 39:11 And it came to pass about this time, that Joseph went into the house to do his business; and there was none of the men of the house there within.(KJV-1611) Gen 39:11 Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la:(Creole-HT) ======= Genesis 39:12 ============ Gen 39:12 And she caught him by his garment, saying, Lie with me: and he left his garment in her hand, and fled, and got him out.(KJV-1611) Gen 39:12 Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.(Creole-HT) ======= Genesis 39:13 ============ Gen 39:13 And it came to pass, when she saw that he had left his garment in her hand, and was fled forth,(KJV-1611) Gen 39:13 Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò,(Creole-HT) ======= Genesis 39:14 ============ Gen 39:14 That she called unto the men of her house, and spake unto them, saying, See, he hath brought in an Hebrew unto us to mock us; he came in unto me to lie with me, and I cried with a loud voice:(KJV-1611) Gen 39:14 li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele.(Creole-HT) ======= Genesis 39:15 ============ Gen 39:15 And it came to pass, when he heard that I lifted up my voice and cried, that he left his garment with me, and fled, and got him out.(KJV-1611) Gen 39:15 Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:16 ============ Gen 39:16 And she laid up his garment by her, until his lord came home.(KJV-1611) Gen 39:16 Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.(Creole-HT) ======= Genesis 39:17 ============ Gen 39:17 And she spake unto him according to these words, saying, The Hebrew servant, which thou hast brought unto us, came in unto me to mock me:(KJV-1611) Gen 39:17 Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:18 ============ Gen 39:18 And it came to pass, as I lifted up my voice and cried, that he left his garment with me, and fled out.(KJV-1611) Gen 39:18 Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'.(Creole-HT) ======= Genesis 39:19 ============ Gen 39:19 And it came to pass, when his master heard the words of his wife, which she spake unto him, saying, After this manner did thy servant to me; that his wrath was kindled.(KJV-1611) Gen 39:19 Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf.(Creole-HT) ======= Genesis 39:20 ============ Gen 39:20 And Joseph's master took him, and put him into the prison, a place where the king's prisoners were bound: and he was there in the prison.(KJV-1611) Gen 39:20 Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon.(Creole-HT) ======= Genesis 39:21 ============ Gen 39:21 But the LORD was with Joseph, and shewed him mercy, and gave him favour in the sight of the keeper of the prison.(KJV-1611) Gen 39:21 Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.(Creole-HT) ======= Genesis 39:22 ============ Gen 39:22 And the keeper of the prison committed to Joseph's hand all the prisoners that were in the prison; and whatsoever they did there, he was the doer of it.(KJV-1611) Gen 39:22 Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.(Creole-HT) ======= Genesis 39:23 ============ Gen 39:23 The keeper of the prison looked not to any thing that was under his hand; because the LORD was with him, and that which he did, the LORD made it to prosper.(KJV-1611) Gen 39:23 Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.(Creole-HT) ======= Genesis 40:1 ============ Gen 40:1 And it came to pass after these things, that the butler of the king of Egypt and his baker had offended their lord the king of Egypt.(KJV-1611) Gen 40:1 Kèk tan apre sa, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa Lejip la te fè mèt yo yon bagay.(Creole-HT) ======= Genesis 40:2 ============ Gen 40:2 And Pharaoh was wroth against two of his officers, against the chief of the butlers, and against the chief of the bakers.(KJV-1611) Gen 40:2 Farawon an te move ni sou chèf kanbiz la ni sou chèf boulanje a.(Creole-HT) ======= Genesis 40:3 ============ Gen 40:3 And he put them in ward in the house of the captain of the guard, into the prison, the place where Joseph was bound.(KJV-1611) Gen 40:3 Se konsa li te mete yo lakay kòmandan gad palè a, kote yo te fèmen Jozèf nan prizon an.(Creole-HT) ======= Genesis 40:4 ============ Gen 40:4 And the captain of the guard charged Joseph with them, and he served them: and they continued a season in ward.(KJV-1611) Gen 40:4 Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l' sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an.(Creole-HT) ======= Genesis 40:5 ============ Gen 40:5 And they dreamed a dream both of them, each man his dream in one night, each man according to the interpretation of his dream, the butler and the baker of the king of Egypt, which were bound in the prison.(KJV-1611) Gen 40:5 Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chèf kanbiz ak chèf boulanje wa a te fè yo chak yon rèv. Chak rèv te gen sans pa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 40:6 ============ Gen 40:6 And Joseph came in unto them in the morning, and looked upon them, and, behold, they were sad.(KJV-1611) Gen 40:6 Lè Jozèf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvèse.(Creole-HT) ======= Genesis 40:7 ============ Gen 40:7 And he asked Pharaoh's officers that were with him in the ward of his lord's house, saying, Wherefore look ye so sadly to day?(KJV-1611) Gen 40:7 Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jòdi a?(Creole-HT) ======= Genesis 40:8 ============ Gen 40:8 And they said unto him, We have dreamed a dream, and there is no interpreter of it. And Joseph said unto them, Do not interpretations belong to God? tell me them, I pray you.(KJV-1611) Gen 40:8 Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 40:9 ============ Gen 40:9 And the chief butler told his dream to Joseph, and said to him, In my dream, behold, a vine was before me;(KJV-1611) Gen 40:9 Chèf kanbiz la rakonte Jozèf rèv li te fè a, li di l': -Nan rèv mwen an, mwen wè yon pye rezen devan m'.(Creole-HT) ======= Genesis 40:10 ============ Gen 40:10 And in the vine were three branches: and it was as though it budded, and her blossoms shot forth; and the clusters thereof brought forth ripe grapes:(KJV-1611) Gen 40:10 Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fè flè, yo fè rezen, rezen yo mi.(Creole-HT) ======= Genesis 40:11 ============ Gen 40:11 And Pharaoh's cup was in my hand: and I took the grapes, and pressed them into Pharaoh's cup, and I gave the cup into Pharaoh's hand.(KJV-1611) Gen 40:11 Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lèfini mwen bay wa a li.(Creole-HT) ======= Genesis 40:12 ============ Gen 40:12 And Joseph said unto him, This is the interpretation of it: The three branches are three days:(KJV-1611) Gen 40:12 Jozèf di li: -Men sa rèv la vle di: Twa branch yo se twa jou.(Creole-HT) ======= Genesis 40:13 ============ Gen 40:13 Yet within three days shall Pharaoh lift up thine head, and restore thee unto thy place: and thou shalt deliver Pharaoh's cup into his hand, after the former manner when thou wast his butler.(KJV-1611) Gen 40:13 Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankò. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fè l' anvan lè ou te chèf kanbiz li a.(Creole-HT) ======= Genesis 40:14 ============ Gen 40:14 But think on me when it shall be well with thee, and shew kindness, I pray thee, unto me, and make mention of me unto Pharaoh, and bring me out of this house:(KJV-1611) Gen 40:14 Men, lè tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m'. Tanpri, rann mwen sèvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fè m' soti nan prizon sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 40:15 ============ Gen 40:15 For indeed I was stolen away out of the land of the Hebrews: and here also have I done nothing that they should put me into the dungeon.(KJV-1611) Gen 40:15 Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon.(Creole-HT) ======= Genesis 40:16 ============ Gen 40:16 When the chief baker saw that the interpretation was good, he said unto Joseph, I also was in my dream, and, behold, I had three white baskets on my head:(KJV-1611) Gen 40:16 Lè chèf boulanje a wè bèl esplikasyon Jozèf te bay lòt la, li di l': -Mwen menm tout mwen fè yon rèv. Mwen wè te gen twa panyen pen sou tèt mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 40:17 ============ Gen 40:17 And in the uppermost basket there was of all manner of bakemeats for Pharaoh; and the birds did eat them out of the basket upon my head.(KJV-1611) Gen 40:17 Nan panyen ki te anwo nèt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t'ap manje yo nan panyen an sou tèt mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 40:18 ============ Gen 40:18 And Joseph answered and said, This is the interpretation thereof: The three baskets are three days:(KJV-1611) Gen 40:18 Jozèf reponn li: -Men sa rèv la vle di: Twa panyen yo se twa jou.(Creole-HT) ======= Genesis 40:19 ============ Gen 40:19 Yet within three days shall Pharaoh lift up thy head from off thee, and shall hang thee on a tree; and the birds shall eat thy flesh from off thee.(KJV-1611) Gen 40:19 Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou.(Creole-HT) ======= Genesis 40:20 ============ Gen 40:20 And it came to pass the third day, which was Pharaoh's birthday, that he made a feast unto all his servants: and he lifted up the head of the chief butler and of the chief baker among his servants.(KJV-1611) Gen 40:20 Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.(Creole-HT) ======= Genesis 40:21 ============ Gen 40:21 And he restored the chief butler unto his butlership again; and he gave the cup into Pharaoh's hand:(KJV-1611) Gen 40:21 Li mete chèf kanbiz la nan plas li ankò pou sèvi l'.(Creole-HT) ======= Genesis 40:22 ============ Gen 40:22 But he hanged the chief baker: as Joseph had interpreted to them.(KJV-1611) Gen 40:22 Men, li fè pann chèf boulanje a, jan Jozèf te di yo a.(Creole-HT) ======= Genesis 40:23 ============ Gen 40:23 Yet did not the chief butler remember Joseph, but forgat him.(KJV-1611) Gen 40:23 Men, chèf kanbiz la pa dòmi reve Jozèf, li bliye l' nèt.(Creole-HT) ======= Genesis 41:1 ============ Gen 41:1 And it came to pass at the end of two full years, that Pharaoh dreamed: and, behold, he stood by the river.(KJV-1611) Gen 41:1 Dezan te fin pase. Farawon an fè yon rèv. Li wè li te kanpe bò larivyè Nil la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:2 ============ Gen 41:2 And, behold, there came up out of the river seven well favoured kine and fatfleshed; and they fed in a meadow.(KJV-1611) Gen 41:2 Li wè sèt bèl vach byen gra moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:3 ============ Gen 41:3 And, behold, seven other kine came up after them out of the river, ill favoured and leanfleshed; and stood by the other kine upon the brink of the river.(KJV-1611) Gen 41:3 Apre sa, sèt lòt vach tout lèd, tout mèg, moute soti nan dlo a tou. Yo vin kanpe toupre lòt vach yo, bò dlo a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:4 ============ Gen 41:4 And the ill favoured and leanfleshed kine did eat up the seven well favoured and fat kine. So Pharaoh awoke.(KJV-1611) Gen 41:4 Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:5 ============ Gen 41:5 And he slept and dreamed the second time: and, behold, seven ears of corn came up upon one stalk, rank and good.(KJV-1611) Gen 41:5 Dòmi pran l' ankò, li fè yon lòt rèv. Li wè sèt gwo grap ble ki t'ap pouse sou yon sèl pye ble. Yo te plen grenn, yo te mi.(Creole-HT) ======= Genesis 41:6 ============ Gen 41:6 And, behold, seven thin ears and blasted with the east wind sprung up after them.(KJV-1611) Gen 41:6 Apre sa, sèt lòt grap vin parèt sou menm pye ble a. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:7 ============ Gen 41:7 And the seven thin ears devoured the seven rank and full ears. And Pharaoh awoke, and, behold, it was a dream.(KJV-1611) Gen 41:7 Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:8 ============ Gen 41:8 And it came to pass in the morning that his spirit was troubled; and he sent and called for all the magicians of Egypt, and all the wise men thereof: and Pharaoh told them his dream; but there was none that could interpret them unto Pharaoh.(KJV-1611) Gen 41:8 Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.(Creole-HT) ======= Genesis 41:9 ============ Gen 41:9 Then spake the chief butler unto Pharaoh, saying, I do remember my faults this day:(KJV-1611) Gen 41:9 Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an: -Koulye a mwen chonje mwen te fè yon fòt.(Creole-HT) ======= Genesis 41:10 ============ Gen 41:10 Pharaoh was wroth with his servants, and put me in ward in the captain of the guard's house, both me and the chief baker:(KJV-1611) Gen 41:10 Yon jou, monwa, ou te ankòlè sou sèvitè ou yo. Ou te fè mete yo nan prizon lakay kòmandan gad palè ou la. Se te mwen menm, chèf kanbiz ou a, ansanm ak chèf boulanje ou la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:11 ============ Gen 41:11 And we dreamed a dream in one night, I and he; we dreamed each man according to the interpretation of his dream.(KJV-1611) Gen 41:11 Yon jou lannwit, nou tout de nou reve. Chak moun te fè yon rèv diferan. Chak rèv te gen sans pa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 41:12 ============ Gen 41:12 And there was there with us a young man, an Hebrew, servant to the captain of the guard; and we told him, and he interpreted to us our dreams; to each man according to his dream he did interpret.(KJV-1611) Gen 41:12 Te gen yon jenn ebre avèk nou nan prizon an. Se te yon esklav kòmandan gad palè a. Nou rakonte l' rèv nou yo. Epi li esplike yo ban nou, li bay chak moun sans rèv li te fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:13 ============ Gen 41:13 And it came to pass, as he interpreted to us, so it was; me he restored unto mine office, and him he hanged.(KJV-1611) Gen 41:13 tout bagay pase jan li te di a: Sou twa jou vre, farawon an te mete m' nan plas mwen ankò. Pou chèf boulanje a menm, li te fè pann li.(Creole-HT) ======= Genesis 41:14 ============ Gen 41:14 Then Pharaoh sent and called Joseph, and they brought him hastily out of the dungeon: and he shaved himself, and changed his raiment, and came in unto Pharaoh.(KJV-1611) Gen 41:14 Farawon an voye chache Jozèf. Yo fè l' soti byen vit nan prizon an. Jozèf fè labab, li koupe cheve l', li chanje rad, epi li parèt devan farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 41:15 ============ Gen 41:15 And Pharaoh said unto Joseph, I have dreamed a dream, and there is none that can interpret it: and I have heard say of thee, that thou canst understand a dream to interpret it.(KJV-1611) Gen 41:15 Farawon an di Jozèf konsa: -Mwen fè yon rèv, pesonn pa ka di m' sa l' vle di. Men yo di m' depi yo rakonte ou yon rèv, ou ka esplike l'.(Creole-HT) ======= Genesis 41:16 ============ Gen 41:16 And Joseph answered Pharaoh, saying, It is not in me: God shall give Pharaoh an answer of peace.(KJV-1611) Gen 41:16 Jozèf reponn farawon an: -Se pa mwen menm non! Se Bondye ki pral bay farawon an esplikasyon rèv la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:17 ============ Gen 41:17 And Pharaoh said unto Joseph, In my dream, behold, I stood upon the bank of the river:(KJV-1611) Gen 41:17 Farawon an di: -Mwen reve mwen te kanpe bò larivyè Nil la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:18 ============ Gen 41:18 And, behold, there came up out of the river seven kine, fatfleshed and well favoured; and they fed in a meadow:(KJV-1611) Gen 41:18 Konsa, sèt bèl vach byen gra te moute soti nan larivyè a, yo t'ap manje zèb bò dlo a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:19 ============ Gen 41:19 And, behold, seven other kine came up after them, poor and very ill favoured and leanfleshed, such as I never saw in all the land of Egypt for badness:(KJV-1611) Gen 41:19 Apre sa, sèt lòt vach tout mèg, tout lèd, tout chèch te moute soti nan dlo a dèyè lòt yo. Mwen poko janm wè vye vach lèd konsa nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:20 ============ Gen 41:20 And the lean and the ill favoured kine did eat up the first seven fat kine:(KJV-1611) Gen 41:20 Vye vach mèg yo manje bèl vach gra yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:21 ============ Gen 41:21 And when they had eaten them up, it could not be known that they had eaten them; but they were still ill favoured, as at the beginning. So I awoke.(KJV-1611) Gen 41:21 Lè yo te fin vale yo, se tankou si yo pa t' janm manje. Yo te rete menm jan yo te ye anvan an. Epi je m' vin klè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:22 ============ Gen 41:22 And I saw in my dream, and, behold, seven ears came up in one stalk, full and good:(KJV-1611) Gen 41:22 Apre sa, mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè sèt grap ble byen plen, byen mi ki t'ap pouse ansanm sou yon sèl pye ble a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:23 ============ Gen 41:23 And, behold, seven ears, withered, thin, and blasted with the east wind, sprung up after them:(KJV-1611) Gen 41:23 Apre sa, sèt lòt grap parèt dèyè yo. Yo te chèch, van nòde te fin boule yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:24 ============ Gen 41:24 And the thin ears devoured the seven good ears: and I told this unto the magicians; but there was none that could declare it to me.(KJV-1611) Gen 41:24 Grap mèg yo souse sèt bèl grap yo. Mwen rakonte rèv yo bay divinò yo, men yo yonn pa t' kapab esplike yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 41:25 ============ Gen 41:25 And Joseph said unto Pharaoh, The dream of Pharaoh is one: God hath shewed Pharaoh what he is about to do.(KJV-1611) Gen 41:25 Jozèf di farawon an: -tout de rèv yo vle di menm bagay la: Bondye fè ou konnen sa li pral fè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:26 ============ Gen 41:26 The seven good kine are seven years; and the seven good ears are seven years: the dream is one.(KJV-1611) Gen 41:26 Sèt vach gra yo, se sèt lanne. Sèt bèl grap yo se sèt lanne tou. Yo vle di menm bagay.(Creole-HT) ======= Genesis 41:27 ============ Gen 41:27 And the seven thin and ill favoured kine that came up after them are seven years; and the seven empty ears blasted with the east wind shall be seven years of famine.(KJV-1611) Gen 41:27 Sèt vach tout mèg, tout lèd ki vin apre lòt yo, se sèt lanne. Sèt grap ble boule yo, se sèt lanne tou. Sa vle di pral gen sèt lanne grangou.(Creole-HT) ======= Genesis 41:28 ============ Gen 41:28 This is the thing which I have spoken unto Pharaoh: What God is about to do he sheweth unto Pharaoh.(KJV-1611) Gen 41:28 Se jan m' sot di farawon an: Bondye vle fè ou konnen sa li pral fè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:29 ============ Gen 41:29 Behold, there come seven years of great plenty throughout all the land of Egypt:(KJV-1611) Gen 41:29 Pandan sèt lanne pral gen bèl rekòt nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:30 ============ Gen 41:30 And there shall arise after them seven years of famine; and all the plenty shall be forgotten in the land of Egypt; and the famine shall consume the land;(KJV-1611) Gen 41:30 Apre sa, pral gen sèt lanne grangou. Lè sa a, moun pral bliye tout bèl rekòt yo te fè nan peyi a. Grangou pral fini nèt ak peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:31 ============ Gen 41:31 And the plenty shall not be known in the land by reason of that famine following; for it shall be very grievous.(KJV-1611) Gen 41:31 Grangou ki pral tonbe sou peyi a pral rèd anpil. Moun p'ap wè tras rekòt ki te fèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:32 ============ Gen 41:32 And for that the dream was doubled unto Pharaoh twice; it is because the thing is established by God, and God will shortly bring it to pass.(KJV-1611) Gen 41:32 Si farawon an fè menm rèv la de fwa, sa vle di Bondye gen tan fin fè plan l' nèt. Se yon bagay Bondye pral fè talè konsa.(Creole-HT) ======= Genesis 41:33 ============ Gen 41:33 Now therefore let Pharaoh look out a man discreet and wise, and set him over the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:33 Koulye a, se pou farawon an chwazi yon moun ki gen lespri ak bon konprann pou l' mete l' chèf sou tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:34 ============ Gen 41:34 Let Pharaoh do this, and let him appoint officers over the land, and take up the fifth part of the land of Egypt in the seven plenteous years.(KJV-1611) Gen 41:34 Se pou ou mete chèf toupatou nan peyi Lejip la, pou yo ranmase yon senkyèm nan tout rekòt ki pral fèt pandan sèt bon lanne yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:35 ============ Gen 41:35 And let them gather all the food of those good years that come, and lay up corn under the hand of Pharaoh, and let them keep food in the cities.(KJV-1611) Gen 41:35 Se pou yo ranmase pwovizyon pandan tout lanne ki pral vini yo. Se pou farawon an ba yo otorite pou yo anpile pwovizyon yo nan depo nan chak vil, lèfini pou yo veye yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:36 ============ Gen 41:36 And that food shall be for store to the land against the seven years of famine, which shall be in the land of Egypt; that the land perish not through the famine.(KJV-1611) Gen 41:36 Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k'ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:37 ============ Gen 41:37 And the thing was good in the eyes of Pharaoh, and in the eyes of all his servants.(KJV-1611) Gen 41:37 Farawon an ak tout moun pa l' yo te tonbe dakò ak sa Jozèf te di a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:38 ============ Gen 41:38 And Pharaoh said unto his servants, Can we find such a one as this is, a man in whom the Spirit of God is?(KJV-1611) Gen 41:38 Farawon an di moun pa l' yo: -Ki bò nou ka jwenn yon moun ki gen lespri Bondye sou li tankou nonm sa a?(Creole-HT) ======= Genesis 41:39 ============ Gen 41:39 And Pharaoh said unto Joseph, Forasmuch as God hath shewed thee all this, there is none so discreet and wise as thou art:(KJV-1611) Gen 41:39 Farawon an di Jozèf: -Gade tout bagay Bondye fè ou konnen! Pa gen pesonn ki gen plis lespri, osinon plis bon konprann pase ou.(Creole-HT) ======= Genesis 41:40 ============ Gen 41:40 Thou shalt be over my house, and according unto thy word shall all my people be ruled: only in the throne will I be greater than thou.(KJV-1611) Gen 41:40 M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou.(Creole-HT) ======= Genesis 41:41 ============ Gen 41:41 And Pharaoh said unto Joseph, See, I have set thee over all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:41 Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:42 ============ Gen 41:42 And Pharaoh took off his ring from his hand, and put it upon Joseph's hand, and arrayed him in vestures of fine linen, and put a gold chain about his neck;(KJV-1611) Gen 41:42 Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'.(Creole-HT) ======= Genesis 41:43 ============ Gen 41:43 And he made him to ride in the second chariot which he had; and they cried before him, Bow the knee: and he made him ruler over all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:43 Li fè l' moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a apre cha wa a. Li bay gad onè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo di byen fè: Abrèk. Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:44 ============ Gen 41:44 And Pharaoh said unto Joseph, I am Pharaoh, and without thee shall no man lift up his hand or foot in all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:44 Farawon an di Jozèf: -Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pesonn pa gen dwa fè anyen ni al ankenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou.(Creole-HT) ======= Genesis 41:45 ============ Gen 41:45 And Pharaoh called Joseph's name Zaphnathpaaneah; and he gave him to wife Asenath the daughter of Potipherah priest of On. And Joseph went out over all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:45 Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:46 ============ Gen 41:46 And Joseph was thirty years old when he stood before Pharaoh king of Egypt. And Joseph went out from the presence of Pharaoh, and went throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:46 Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:47 ============ Gen 41:47 And in the seven plenteous years the earth brought forth by handfuls.(KJV-1611) Gen 41:47 Pandan sèt bon lanne yo, tè a te bay anpil anpil rekòt.(Creole-HT) ======= Genesis 41:48 ============ Gen 41:48 And he gathered up all the food of the seven years, which were in the land of Egypt, and laid up the food in the cities: the food of the field, which was round about every city, laid he up in the same.(KJV-1611) Gen 41:48 Jozèf ranmase pwovizyon pandan sèt lanne bon rekòt yo nan tout peyi a, li mete yo nan depo nan lavil yo. Chak lavil te gen kont depo pou sere tout sa jaden alantou yo te bay.(Creole-HT) ======= Genesis 41:49 ============ Gen 41:49 And Joseph gathered corn as the sand of the sea, very much, until he left numbering; for it was without number.(KJV-1611) Gen 41:49 Li ranmase ble, li ranmase ble tankou ou ta di sab bò lanmè. Sitèlman te gen anpil ble, yo pa t' ka konnen kantite ki te genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 41:50 ============ Gen 41:50 And unto Joseph were born two sons before the years of famine came, which Asenath the daughter of Potipherah priest of On bare unto him.(KJV-1611) Gen 41:50 Anvan lanne grangou yo mete pye, Jozèf te gen tan gen de pitit ak Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an.(Creole-HT) ======= Genesis 41:51 ============ Gen 41:51 And Joseph called the name of the firstborn Manasseh: For God, said he, hath made me forget all my toil, and all my father's house.(KJV-1611) Gen 41:51 Jozèf rele premye a Manase paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 41:52 ============ Gen 41:52 And the name of the second called he Ephraim: For God hath caused me to be fruitful in the land of my affliction.(KJV-1611) Gen 41:52 Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l': Bondye fè m' fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a.(Creole-HT) ======= Genesis 41:53 ============ Gen 41:53 And the seven years of plenteousness, that was in the land of Egypt, were ended.(KJV-1611) Gen 41:53 Sèt bon lanne rekòt yo te fin pase nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:54 ============ Gen 41:54 And the seven years of dearth began to come, according as Joseph had said: and the dearth was in all lands; but in all the land of Egypt there was bread.(KJV-1611) Gen 41:54 Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:55 ============ Gen 41:55 And when all the land of Egypt was famished, the people cried to Pharaoh for bread: and Pharaoh said unto all the Egyptians, Go unto Joseph; what he saith to you, do.(KJV-1611) Gen 41:55 Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo: -Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè.(Creole-HT) ======= Genesis 41:56 ============ Gen 41:56 And the famine was over all the face of the earth: and Joseph opened all the storehouses, and sold unto the Egyptians; and the famine waxed sore in the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 41:56 Lè grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 41:57 ============ Gen 41:57 And all countries came into Egypt to Joseph for to buy corn; because that the famine was so sore in all lands.(KJV-1611) Gen 41:57 Moun soti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Genesis 42:1 ============ Gen 42:1 Now when Jacob saw that there was corn in Egypt, Jacob said unto his sons, Why do ye look one upon another?(KJV-1611) Gen 42:1 Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: -Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze?(Creole-HT) ======= Genesis 42:2 ============ Gen 42:2 And he said, Behold, I have heard that there is corn in Egypt: get you down thither, and buy for us from thence; that we may live, and not die.(KJV-1611) Gen 42:2 Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou.(Creole-HT) ======= Genesis 42:3 ============ Gen 42:3 And Joseph's ten brethren went down to buy corn in Egypt.(KJV-1611) Gen 42:3 Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y al achte ble.(Creole-HT) ======= Genesis 42:4 ============ Gen 42:4 But Benjamin, Joseph's brother, Jacob sent not with his brethren; for he said, Lest peradventure mischief befall him.(KJV-1611) Gen 42:4 Men Jakòb pa t' voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l' la, avèk yo paske li te pè pou malè pa t' rive l'.(Creole-HT) ======= Genesis 42:5 ============ Gen 42:5 And the sons of Israel came to buy corn among those that came: for the famine was in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 42:5 Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki tapral achte ble tou.(Creole-HT) ======= Genesis 42:6 ============ Gen 42:6 And Joseph was the governor over the land, and he it was that sold to all the people of the land: and Joseph's brethren came, and bowed down themselves before him with their faces to the earth.(KJV-1611) Gen 42:6 Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.(Creole-HT) ======= Genesis 42:7 ============ Gen 42:7 And Joseph saw his brethren, and he knew them, but made himself strange unto them, and spake roughly unto them; and he said unto them, Whence come ye? And they said, From the land of Canaan to buy food.(KJV-1611) Gen 42:7 Lè Jozèf wè frè l' yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: -Ki bò nou soti? Yo reponn: -Nou soti peyi Kanaran, nou vin achte manje.(Creole-HT) ======= Genesis 42:8 ============ Gen 42:8 And Joseph knew his brethren, but they knew not him.(KJV-1611) Gen 42:8 Jozèf te rekonèt frè l' yo, men yo menm yo pa t' rekonèt li.(Creole-HT) ======= Genesis 42:9 ============ Gen 42:9 And Joseph remembered the dreams which he dreamed of them, and said unto them, Ye are spies; to see the nakedness of the land ye are come.(KJV-1611) Gen 42:9 Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 42:10 ============ Gen 42:10 And they said unto him, Nay, my lord, but to buy food are thy servants come.(KJV-1611) Gen 42:10 Yo reponn li: -Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 42:11 ============ Gen 42:11 We are all one man's sons; we are true men, thy servants are no spies.(KJV-1611) Gen 42:11 Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:12 ============ Gen 42:12 And he said unto them, Nay, but to see the nakedness of the land ye are come.(KJV-1611) Gen 42:12 Jozèf di yo: -Se pa vre. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 42:13 ============ Gen 42:13 And they said, Thy servants are twelve brethren, the sons of one man in the land of Canaan; and, behold, the youngest is this day with our father, and one is not.(KJV-1611) Gen 42:13 Yo di l': -Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt.(Creole-HT) ======= Genesis 42:14 ============ Gen 42:14 And Joseph said unto them, That is it that I spake unto you, saying, Ye are spies:(KJV-1611) Gen 42:14 Jozèf reponn yo: -Nou wè mwen gen rezon lè m' di se yon bann espyon nou ye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:15 ============ Gen 42:15 Hereby ye shall be proved: By the life of Pharaoh ye shall not go forth hence, except your youngest brother come hither.(KJV-1611) Gen 42:15 Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap soti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 42:16 ============ Gen 42:16 Send one of you, and let him fetch your brother, and ye shall be kept in prison, that your words may be proved, whether there be any truth in you: or else by the life of Pharaoh surely ye are spies.(KJV-1611) Gen 42:16 Voye yonn nan nou al chache l'. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:17 ============ Gen 42:17 And he put them all together into ward three days.(KJV-1611) Gen 42:17 Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou.(Creole-HT) ======= Genesis 42:18 ============ Gen 42:18 And Joseph said unto them the third day, This do, and live; for I fear God:(KJV-1611) Gen 42:18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:19 ============ Gen 42:19 If ye be true men, let one of your brethren be bound in the house of your prison: go ye, carry corn for the famine of your houses:(KJV-1611) Gen 42:19 Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje.(Creole-HT) ======= Genesis 42:20 ============ Gen 42:20 But bring your youngest brother unto me; so shall your words be verified, and ye shall not die. And they did so.(KJV-1611) Gen 42:20 Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa.(Creole-HT) ======= Genesis 42:21 ============ Gen 42:21 And they said one to another, We are verily guilty concerning our brother, in that we saw the anguish of his soul, when he besought us, and we would not hear; therefore is this distress come upon us.(KJV-1611) Gen 42:21 Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.(Creole-HT) ======= Genesis 42:22 ============ Gen 42:22 And Reuben answered them, saying, Spake I not unto you, saying, Do not sin against the child; and ye would not hear? therefore, behold, also his blood is required.(KJV-1611) Gen 42:22 Woubenn di yo: -Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pa t' vle koute m'. Koulye a se lanmò tibway la n'ap peye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:23 ============ Gen 42:23 And they knew not that Joseph understood them; for he spake unto them by an interpreter.(KJV-1611) Gen 42:23 Jozèf te konprann tout sa yo t'ap di a. Men yo pa t' konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradwi pou yo lè yo t'ap pale avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 42:24 ============ Gen 42:24 And he turned himself about from them, and wept; and returned to them again, and communed with them, and took from them Simeon, and bound him before their eyes.(KJV-1611) Gen 42:24 Jozèf soti kote yo te ye a, li al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l' nan chenn, la devan yo tout.(Creole-HT) ======= Genesis 42:25 ============ Gen 42:25 Then Joseph commanded to fill their sacks with corn, and to restore every man's money into his sack, and to give them provision for the way: and thus did he unto them.(KJV-1611) Gen 42:25 Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.(Creole-HT) ======= Genesis 42:26 ============ Gen 42:26 And they laded their asses with the corn, and departed thence.(KJV-1611) Gen 42:26 Frè yo menm chaje bourik yo ak ble yo te achte a, yo pati.(Creole-HT) ======= Genesis 42:27 ============ Gen 42:27 And as one of them opened his sack to give his ass provender in the inn, he espied his money; for, behold, it was in his sack's mouth.(KJV-1611) Gen 42:27 Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.(Creole-HT) ======= Genesis 42:28 ============ Gen 42:28 And he said unto his brethren, My money is restored; and, lo, it is even in my sack: and their heart failed them, and they were afraid, saying one to another, What is this that God hath done unto us?(KJV-1611) Gen 42:28 Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?(Creole-HT) ======= Genesis 42:29 ============ Gen 42:29 And they came unto Jacob their father unto the land of Canaan, and told him all that befell unto them; saying,(KJV-1611) Gen 42:29 Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l' tout sa ki te pase. Yo di l':(Creole-HT) ======= Genesis 42:30 ============ Gen 42:30 The man, who is the lord of the land, spake roughly to us, and took us for spies of the country.(KJV-1611) Gen 42:30 -Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.(Creole-HT) ======= Genesis 42:31 ============ Gen 42:31 And we said unto him, We are true men; we are no spies:(KJV-1611) Gen 42:31 Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye.(Creole-HT) ======= Genesis 42:32 ============ Gen 42:32 We be twelve brethren, sons of our father; one is not, and the youngest is this day with our father in the land of Canaan.(KJV-1611) Gen 42:32 Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 42:33 ============ Gen 42:33 And the man, the lord of the country, said unto us, Hereby shall I know that ye are true men; leave one of your brethren here with me, and take food for the famine of your households, and be gone:(KJV-1611) Gen 42:33 Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 42:34 ============ Gen 42:34 And bring your youngest brother unto me: then shall I know that ye are no spies, but that ye are true men: so will I deliver you your brother, and ye shall traffick in the land.(KJV-1611) Gen 42:34 Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 42:35 ============ Gen 42:35 And it came to pass as they emptied their sacks, that, behold, every man's bundle of money was in his sack: and when both they and their father saw the bundles of money, they were afraid.(KJV-1611) Gen 42:35 Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 42:36 ============ Gen 42:36 And Jacob their father said unto them, Me have ye bereaved of my children: Joseph is not, and Simeon is not, and ye will take Benjamin away: all these things are against me.(KJV-1611) Gen 42:36 Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.(Creole-HT) ======= Genesis 42:37 ============ Gen 42:37 And Reuben spake unto his father, saying, Slay my two sons, if I bring him not to thee: deliver him into my hand, and I will bring him to thee again.(KJV-1611) Gen 42:37 Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou.(Creole-HT) ======= Genesis 42:38 ============ Gen 42:38 And he said, My son shall not go down with you; for his brother is dead, and he is left alone: if mischief befall him by the way in the which ye go, then shall ye bring down my gray hairs with sorrow to the grave.(KJV-1611) Gen 42:38 Men Jakòb te di: -Pitit gason m' lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l' yo. Si pou yon malè ta rive l' nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m' ale.(Creole-HT) ======= Genesis 43:1 ============ Gen 43:1 And the famine was sore in the land.(KJV-1611) Gen 43:1 Grangou t'ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an.(Creole-HT) ======= Genesis 43:2 ============ Gen 43:2 And it came to pass, when they had eaten up the corn which they had brought out of Egypt, their father said unto them, Go again, buy us a little food.(KJV-1611) Gen 43:2 Lè fanmi Jakòb yo te fin manje ble yo te pote soti nan peyi Lejip la, Jakòb di pitit li yo: -Tounen al chache manje pou nou ankò non.(Creole-HT) ======= Genesis 43:3 ============ Gen 43:3 And Judah spake unto him, saying, The man did solemnly protest unto us, saying, Ye shall not see my face, except your brother be with you.(KJV-1611) Gen 43:3 Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l' si nou pa vin ak ti frè nou an.(Creole-HT) ======= Genesis 43:4 ============ Gen 43:4 If thou wilt send our brother with us, we will go down and buy thee food:(KJV-1611) Gen 43:4 Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou.(Creole-HT) ======= Genesis 43:5 ============ Gen 43:5 But if thou wilt not send him, we will not go down: for the man said unto us, Ye shall not see my face, except your brother be with you.(KJV-1611) Gen 43:5 Si ou pa vle kite l' ale, n'ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parèt devan l' ankò si nou pa vin ak ti frè nou an.(Creole-HT) ======= Genesis 43:6 ============ Gen 43:6 And Israel said, Wherefore dealt ye so ill with me, as to tell the man whether ye had yet a brother?(KJV-1611) Gen 43:6 Izrayèl di: -Sa nou te bezwen di l' nou te gen yon ti frè fè? Poukisa nou fè m' sa?(Creole-HT) ======= Genesis 43:7 ============ Gen 43:7 And they said, The man asked us straitly of our state, and of our kindred, saying, Is your father yet alive? have ye another brother? and we told him according to the tenor of these words: could we certainly know that he would say, Bring your brother down?(KJV-1611) Gen 43:7 Yo reponn li: -Msye a t'ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n' te reponn li. Kouman pou n' ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li?(Creole-HT) ======= Genesis 43:8 ============ Gen 43:8 And Judah said unto Israel his father, Send the lad with me, and we will arise and go; that we may live, and not die, both we, and thou, and also our little ones.(KJV-1611) Gen 43:8 Jida di Izrayèl, papa l', konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou.(Creole-HT) ======= Genesis 43:9 ============ Gen 43:9 I will be surety for him; of my hand shalt thou require him: if I bring him not unto thee, and set him before thee, then let me bear the blame for ever:(KJV-1611) Gen 43:9 Se nan men m' li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m' pa mennen l' tounen ba ou, si m' pa tounen avè l' la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 43:10 ============ Gen 43:10 For except we had lingered, surely now we had returned this second time.(KJV-1611) Gen 43:10 Si nou pa t' pran tout reta sa a, koulye a nou ta gen tan ale nou tounen de fwa deja.(Creole-HT) ======= Genesis 43:11 ============ Gen 43:11 And their father Israel said unto them, If it must be so now, do this; take of the best fruits in the land in your vessels, and carry down the man a present, a little balm, and a little honey, spices, and myrrh, nuts, and almonds:(KJV-1611) Gen 43:11 Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.(Creole-HT) ======= Genesis 43:12 ============ Gen 43:12 And take double money in your hand; and the money that was brought again in the mouth of your sacks, carry it again in your hand; peradventure it was an oversight:(KJV-1611) Gen 43:12 Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wè sa.(Creole-HT) ======= Genesis 43:13 ============ Gen 43:13 Take also your brother, and arise, go again unto the man:(KJV-1611) Gen 43:13 Pran frè nou an, tounen kote msye a.(Creole-HT) ======= Genesis 43:14 ============ Gen 43:14 And God Almighty give you mercy before the man, that he may send away your other brother, and Benjamin. If I be bereaved of my children, I am bereaved.(KJV-1611) Gen 43:14 M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.(Creole-HT) ======= Genesis 43:15 ============ Gen 43:15 And the men took that present, and they took double money in their hand and Benjamin; and rose up, and went down to Egypt, and stood before Joseph.(KJV-1611) Gen 43:15 Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf.(Creole-HT) ======= Genesis 43:16 ============ Gen 43:16 And when Joseph saw Benjamin with them, he said to the ruler of his house, Bring these men home, and slay, and make ready; for these men shall dine with me at noon.(KJV-1611) Gen 43:16 Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l': -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m' midi a.(Creole-HT) ======= Genesis 43:17 ============ Gen 43:17 And the man did as Joseph bade; and the man brought the men into Joseph's house.(KJV-1611) Gen 43:17 Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a, li mennen mesye yo lakay li.(Creole-HT) ======= Genesis 43:18 ============ Gen 43:18 And the men were afraid, because they were brought into Joseph's house; and they said, Because of the money that was returned in our sacks at the first time are we brought in; that he may seek occasion against us, and fall upon us, and take us for bondmen, and our asses.(KJV-1611) Gen 43:18 Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: -Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 43:19 ============ Gen 43:19 And they came near to the steward of Joseph's house, and they communed with him at the door of the house,(KJV-1611) Gen 43:19 Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la,(Creole-HT) ======= Genesis 43:20 ============ Gen 43:20 And said, O sir, we came indeed down at the first time to buy food:(KJV-1611) Gen 43:20 yo di l': -Eskize nou wi, mèt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n' te achte manje.(Creole-HT) ======= Genesis 43:21 ============ Gen 43:21 And it came to pass, when we came to the inn, that we opened our sacks, and, behold, every man's money was in the mouth of his sack, our money in full weight: and we have brought it again in our hand.(KJV-1611) Gen 43:21 Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l' tounen wi.(Creole-HT) ======= Genesis 43:22 ============ Gen 43:22 And other money have we brought down in our hands to buy food: we cannot tell who put our money in our sacks.(KJV-1611) Gen 43:22 Nou pote lòt lajan tout pou n' ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 43:23 ============ Gen 43:23 And he said, Peace be to you, fear not: your God, and the God of your father, hath given you treasure in your sacks: I had your money. And he brought Simeon out unto them.(KJV-1611) Gen 43:23 Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.(Creole-HT) ======= Genesis 43:24 ============ Gen 43:24 And the man brought the men into Joseph's house, and gave them water, and they washed their feet; and he gave their asses provender.(KJV-1611) Gen 43:24 Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.(Creole-HT) ======= Genesis 43:25 ============ Gen 43:25 And they made ready the present against Joseph came at noon: for they heard that they should eat bread there.(KJV-1611) Gen 43:25 Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 43:26 ============ Gen 43:26 And when Joseph came home, they brought him the present which was in their hand into the house, and bowed themselves to him to the earth.(KJV-1611) Gen 43:26 Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li.(Creole-HT) ======= Genesis 43:27 ============ Gen 43:27 And he asked them of their welfare, and said, Is your father well, the old man of whom ye spake? Is he yet alive?(KJV-1611) Gen 43:27 Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m' lan, papa nou an, ban m' nouvèl li non? Li la toujou? Li byen?(Creole-HT) ======= Genesis 43:28 ============ Gen 43:28 And they answered, Thy servant our father is in good health, he is yet alive. And they bowed down their heads, and made obeisance.(KJV-1611) Gen 43:28 Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.(Creole-HT) ======= Genesis 43:29 ============ Gen 43:29 And he lifted up his eyes, and saw his brother Benjamin, his mother's son, and said, Is this your younger brother, of whom ye spake unto me? And he said, God be gracious unto thee, my son.(KJV-1611) Gen 43:29 Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l' la, li di: -Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t'ap pale m' lan? Bondye beni ou, pitit mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 43:30 ============ Gen 43:30 And Joseph made haste; for his bowels did yearn upon his brother: and he sought where to weep; and he entered into his chamber, and wept there.(KJV-1611) Gen 43:30 Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l' t'ap fè l' mal pou frè l' yo. Dlo vin nan je l', li antre nan chanm li, li kriye kont li.(Creole-HT) ======= Genesis 43:31 ============ Gen 43:31 And he washed his face, and went out, and refrained himself, and said, Set on bread.(KJV-1611) Gen 43:31 Apre sa, li lave figi l', li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.(Creole-HT) ======= Genesis 43:32 ============ Gen 43:32 And they set on for him by himself, and for them by themselves, and for the Egyptians, which did eat with him, by themselves: because the Egyptians might not eat bread with the Hebrews; for that is an abomination unto the Egyptians.(KJV-1611) Gen 43:32 Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l' yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.(Creole-HT) ======= Genesis 43:33 ============ Gen 43:33 And they sat before him, the firstborn according to his birthright, and the youngest according to his youth: and the men marvelled one at another.(KJV-1611) Gen 43:33 Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt.(Creole-HT) ======= Genesis 43:34 ============ Gen 43:34 And he took and sent messes unto them from before him: but Benjamin's mess was five times so much as any of their's. And they drank, and were merry with him.(KJV-1611) Gen 43:34 Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 44:1 ============ Gen 44:1 And he commanded the steward of his house, saying, Fill the men's sacks with food, as much as they can carry, and put every man's money in his sack's mouth.(KJV-1611) Gen 44:1 Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: -Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo.(Creole-HT) ======= Genesis 44:2 ============ Gen 44:2 And put my cup, the silver cup, in the sack's mouth of the youngest, and his corn money. And he did according to the word that Joseph had spoken.(KJV-1611) Gen 44:2 W'a pran gwo gode m' lan, gode an ajan an, w'a mete l' nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l' lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 44:3 ============ Gen 44:3 As soon as the morning was light, the men were sent away, they and their asses.(KJV-1611) Gen 44:3 Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo.(Creole-HT) ======= Genesis 44:4 ============ Gen 44:4 And when they were gone out of the city, and not yet far off, Joseph said unto his steward, Up, follow after the men; and when thou dost overtake them, say unto them, Wherefore have ye rewarded evil for good?(KJV-1611) Gen 44:4 Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen?(Creole-HT) ======= Genesis 44:5 ============ Gen 44:5 Is not this it in which my lord drinketh, and whereby indeed he divineth? ye have done evil in so doing.(KJV-1611) Gen 44:5 Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l' li bwè, se ak li li sèvi pou l' konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm.(Creole-HT) ======= Genesis 44:6 ============ Gen 44:6 And he overtook them, and he spake unto them these same words.(KJV-1611) Gen 44:6 Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l'.(Creole-HT) ======= Genesis 44:7 ============ Gen 44:7 And they said unto him, Wherefore saith my lord these words? God forbid that thy servants should do according to this thing:(KJV-1611) Gen 44:7 Men yo reponn: -Men msye, nou pa konprann sa w'ap di la a. pou n' ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon!(Creole-HT) ======= Genesis 44:8 ============ Gen 44:8 Behold, the money, which we found in our sacks' mouths, we brought again unto thee out of the land of Canaan: how then should we steal out of thy lord's house silver or gold?(KJV-1611) Gen 44:8 Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l' tounen ba ou soti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la?(Creole-HT) ======= Genesis 44:9 ============ Gen 44:9 With whomsoever of thy servants it be found, both let him die, and we also will be my lord's bondmen.(KJV-1611) Gen 44:9 Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav.(Creole-HT) ======= Genesis 44:10 ============ Gen 44:10 And he said, Now also let it be according unto your words: he with whom it is found shall be my servant; and ye shall be blameless.(KJV-1611) Gen 44:10 Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.(Creole-HT) ======= Genesis 44:11 ============ Gen 44:11 Then they speedily took down every man his sack to the ground, and opened every man his sack.(KJV-1611) Gen 44:11 La menm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo.(Creole-HT) ======= Genesis 44:12 ============ Gen 44:12 And he searched, and began at the eldest, and left at the youngest: and the cup was found in Benjamin's sack.(KJV-1611) Gen 44:12 Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l' fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.(Creole-HT) ======= Genesis 44:13 ============ Gen 44:13 Then they rent their clothes, and laded every man his ass, and returned to the city.(KJV-1611) Gen 44:13 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil.(Creole-HT) ======= Genesis 44:14 ============ Gen 44:14 And Judah and his brethren came to Joseph's house; for he was yet there: and they fell before him on the ground.(KJV-1611) Gen 44:14 Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.(Creole-HT) ======= Genesis 44:15 ============ Gen 44:15 And Joseph said unto them, What deed is this that ye have done? wot ye not that such a man as I can certainly divine?(KJV-1611) Gen 44:15 Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m' wè tout sa ki pral rive?(Creole-HT) ======= Genesis 44:16 ============ Gen 44:16 And Judah said, What shall we say unto my lord? what shall we speak? or how shall we clear ourselves? God hath found out the iniquity of thy servants: behold, we are my lord's servants, both we, and he also with whom the cup is found.(KJV-1611) Gen 44:16 Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.(Creole-HT) ======= Genesis 44:17 ============ Gen 44:17 And he said, God forbid that I should do so: but the man in whose hand the cup is found, he shall be my servant; and as for you, get you up in peace unto your father.(KJV-1611) Gen 44:17 Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m' esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.(Creole-HT) ======= Genesis 44:18 ============ Gen 44:18 Then Judah came near unto him, and said, Oh my lord, let thy servant, I pray thee, speak a word in my lord's ears, and let not thine anger burn against thy servant: for thou art even as Pharaoh.(KJV-1611) Gen 44:18 Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 44:19 ============ Gen 44:19 My lord asked his servants, saying, Have ye a father, or a brother?(KJV-1611) Gen 44:19 Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè.(Creole-HT) ======= Genesis 44:20 ============ Gen 44:20 And we said unto my lord, We have a father, an old man, and a child of his old age, a little one; and his brother is dead, and he alone is left of his mother, and his father loveth him.(KJV-1611) Gen 44:20 Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.(Creole-HT) ======= Genesis 44:21 ============ Gen 44:21 And thou saidst unto thy servants, Bring him down unto me, that I may set mine eyes upon him.(KJV-1611) Gen 44:21 Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.(Creole-HT) ======= Genesis 44:22 ============ Gen 44:22 And we said unto my lord, The lad cannot leave his father: for if he should leave his father, his father would die.(KJV-1611) Gen 44:22 Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pa t' ka kite papa l'. Si li kite l', chagren va touye papa a.(Creole-HT) ======= Genesis 44:23 ============ Gen 44:23 And thou saidst unto thy servants, Except your youngest brother come down with you, ye shall see my face no more.(KJV-1611) Gen 44:23 Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou.(Creole-HT) ======= Genesis 44:24 ============ Gen 44:24 And it came to pass when we came up unto thy servant my father, we told him the words of my lord.(KJV-1611) Gen 44:24 Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l' tout sa ou te di nou.(Creole-HT) ======= Genesis 44:25 ============ Gen 44:25 And our father said, Go again, and buy us a little food.(KJV-1611) Gen 44:25 Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 44:26 ============ Gen 44:26 And we said, We cannot go down: if our youngest brother be with us, then will we go down: for we may not see the man's face, except our youngest brother be with us.(KJV-1611) Gen 44:26 Nou di l': Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann.(Creole-HT) ======= Genesis 44:27 ============ Gen 44:27 And thy servant my father said unto us, Ye know that my wife bare me two sons:(KJV-1611) Gen 44:27 Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 44:28 ============ Gen 44:28 And the one went out from me, and I said, Surely he is torn in pieces; and I saw him not since:(KJV-1611) Gen 44:28 Gen yonn ki pati kite m'. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l', paske mwen pa janm wè l' jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Genesis 44:29 ============ Gen 44:29 And if ye take this also from me, and mischief befall him, ye shall bring down my gray hairs with sorrow to the grave.(KJV-1611) Gen 44:29 Jòdi a, si nou pran sa a nan men m', si yon malè rive l', avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m'.(Creole-HT) ======= Genesis 44:30 ============ Gen 44:30 Now therefore when I come to thy servant my father, and the lad be not with us; seeing that his life is bound up in the lad's life;(KJV-1611) Gen 44:30 Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m' san pitit gason l' sa a, ki de je nan tèt li,(Creole-HT) ======= Genesis 44:31 ============ Gen 44:31 It shall come to pass, when he seeth that the lad is not with us, that he will die: and thy servants shall bring down the gray hairs of thy servant our father with sorrow to the grave.(KJV-1611) Gen 44:31 kou la gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou.(Creole-HT) ======= Genesis 44:32 ============ Gen 44:32 For thy servant became surety for the lad unto my father, saying, If I bring him not unto thee, then I shall bear the blame to my father for ever.(KJV-1611) Gen 44:32 Wi, se mwen menm ki te bay papa m' garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l': Si m' pa mennen l' tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l' jouk jou mwen mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 44:33 ============ Gen 44:33 Now therefore, I pray thee, let thy servant abide instead of the lad a bondman to my lord; and let the lad go up with his brethren.(KJV-1611) Gen 44:33 Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou.(Creole-HT) ======= Genesis 44:34 ============ Gen 44:34 For how shall I go up to my father, and the lad be not with me? lest peradventure I see the evil that shall come on my father.(KJV-1611) Gen 44:34 Mwen pa konnen ki pye pou m' ta mete devan pou m' tounen kay papa m' san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m'.(Creole-HT) ======= Genesis 45:1 ============ Gen 45:1 Then Joseph could not refrain himself before all them that stood by him; and he cried, Cause every man to go out from me. And there stood no man with him, while Joseph made himself known unto his brethren.(KJV-1611) Gen 45:1 Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li.(Creole-HT) ======= Genesis 45:2 ============ Gen 45:2 And he wept aloud: and the Egyptians and the house of Pharaoh heard.(KJV-1611) Gen 45:2 Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 45:3 ============ Gen 45:3 And Joseph said unto his brethren, I am Joseph; doth my father yet live? And his brethren could not answer him; for they were troubled at his presence.(KJV-1611) Gen 45:3 Jozèf di frè l' yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m' vivan toujou? Men frè l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l' devan yo.(Creole-HT) ======= Genesis 45:4 ============ Gen 45:4 And Joseph said unto his brethren, Come near to me, I pray you. And they came near. And he said, I am Joseph your brother, whom ye sold into Egypt.(KJV-1611) Gen 45:4 Jozèf di frè l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 45:5 ============ Gen 45:5 Now therefore be not grieved, nor angry with yourselves, that ye sold me hither: for God did send me before you to preserve life.(KJV-1611) Gen 45:5 Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.(Creole-HT) ======= Genesis 45:6 ============ Gen 45:6 For these two years hath the famine been in the land: and yet there are five years, in the which there shall neither be earing nor harvest.(KJV-1611) Gen 45:6 Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 45:7 ============ Gen 45:7 And God sent me before you to preserve you a posterity in the earth, and to save your lives by a great deliverance.(KJV-1611) Gen 45:7 Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 45:8 ============ Gen 45:8 So now it was not you that sent me hither, but God: and he hath made me a father to Pharaoh, and lord of all his house, and a ruler throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Gen 45:8 Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Genesis 45:9 ============ Gen 45:9 Haste ye, and go up to my father, and say unto him, Thus saith thy son Joseph, God hath made me lord of all Egypt: come down unto me, tarry not:(KJV-1611) Gen 45:9 Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.(Creole-HT) ======= Genesis 45:10 ============ Gen 45:10 And thou shalt dwell in the land of Goshen, and thou shalt be near unto me, thou, and thy children, and thy children's children, and thy flocks, and thy herds, and all that thou hast:(KJV-1611) Gen 45:10 Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 45:11 ============ Gen 45:11 And there will I nourish thee; for yet there are five years of famine; lest thou, and thy household, and all that thou hast, come to poverty.(KJV-1611) Gen 45:11 Lè wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 45:12 ============ Gen 45:12 And, behold, your eyes see, and the eyes of my brother Benjamin, that it is my mouth that speaketh unto you.(KJV-1611) Gen 45:12 Koulye a, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m' lan, wè tout se mwen menm menm Jozèf k'ap pale ak nou an.(Creole-HT) ======= Genesis 45:13 ============ Gen 45:13 And ye shall tell my father of all my glory in Egypt, and of all that ye have seen; and ye shall haste and bring down my father hither.(KJV-1611) Gen 45:13 Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 45:14 ============ Gen 45:14 And he fell upon his brother Benjamin's neck, and wept; and Benjamin wept upon his neck.(KJV-1611) Gen 45:14 Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.(Creole-HT) ======= Genesis 45:15 ============ Gen 45:15 Moreover he kissed all his brethren, and wept upon them: and after that his brethren talked with him.(KJV-1611) Gen 45:15 Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li.(Creole-HT) ======= Genesis 45:16 ============ Gen 45:16 And the fame thereof was heard in Pharaoh's house, saying, Joseph's brethren are come: and it pleased Pharaoh well, and his servants.(KJV-1611) Gen 45:16 Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan.(Creole-HT) ======= Genesis 45:17 ============ Gen 45:17 And Pharaoh said unto Joseph, Say unto thy brethren, This do ye; lade your beasts, and go, get you unto the land of Canaan;(KJV-1611) Gen 45:17 Farawon an di Jozèf konsa: -Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 45:18 ============ Gen 45:18 And take your father and your households, and come unto me: and I will give you the good of the land of Egypt, and ye shall eat the fat of the land.(KJV-1611) Gen 45:18 Lè y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. m'a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 45:19 ============ Gen 45:19 Now thou art commanded, this do ye; take you wagons out of the land of Egypt for your little ones, and for your wives, and bring your father, and come.(KJV-1611) Gen 45:19 Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.(Creole-HT) ======= Genesis 45:20 ============ Gen 45:20 Also regard not your stuff; for the good of all the land of Egypt is your's.(KJV-1611) Gen 45:20 Yo pa bezwen règrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo.(Creole-HT) ======= Genesis 45:21 ============ Gen 45:21 And the children of Israel did so: and Joseph gave them wagons, according to the commandment of Pharaoh, and gave them provision for the way.(KJV-1611) Gen 45:21 Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la.(Creole-HT) ======= Genesis 45:22 ============ Gen 45:22 To all of them he gave each man changes of raiment; but to Benjamin he gave three hundred pieces of silver, and five changes of raiment.(KJV-1611) Gen 45:22 Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan pyès lajan ak senk rad nèf.(Creole-HT) ======= Genesis 45:23 ============ Gen 45:23 And to his father he sent after this manner; ten asses laden with the good things of Egypt, and ten she asses laden with corn and bread and meat for his father by the way.(KJV-1611) Gen 45:23 Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l' pou l' ka fè vwayaj la.(Creole-HT) ======= Genesis 45:24 ============ Gen 45:24 So he sent his brethren away, and they departed: and he said unto them, See that ye fall not out by the way.(KJV-1611) Gen 45:24 Lè l'ap voye frè l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande.(Creole-HT) ======= Genesis 45:25 ============ Gen 45:25 And they went up out of Egypt, and came into the land of Canaan unto Jacob their father,(KJV-1611) Gen 45:25 Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 45:26 ============ Gen 45:26 And told him, saying, Joseph is yet alive, and he is governor over all the land of Egypt. And Jacob's heart fainted, for he believed them not.(KJV-1611) Gen 45:26 Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo.(Creole-HT) ======= Genesis 45:27 ============ Gen 45:27 And they told him all the words of Joseph, which he had said unto them: and when he saw the wagons which Joseph had sent to carry him, the spirit of Jacob their father revived:(KJV-1611) Gen 45:27 Men, lè yo rakonte l' tout sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l' te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l'.(Creole-HT) ======= Genesis 45:28 ============ Gen 45:28 And Israel said, It is enough; Joseph my son is yet alive: I will go and see him before I die.(KJV-1611) Gen 45:28 Li di yo: -Se kont. Jozèf, pitit mwen an, vivan toujou. Fòk m ale pou m' ka wè l' anvan m' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 46:1 ============ Gen 46:1 And Israel took his journey with all that he had, and came to Beersheba, and offered sacrifices unto the God of his father Isaac.(KJV-1611) Gen 46:1 Izrayèl pati avèk tout sa li te genyen. li al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li.(Creole-HT) ======= Genesis 46:2 ============ Gen 46:2 And God spake unto Israel in the visions of the night, and said, Jacob, Jacob. And he said, Here am I.(KJV-1611) Gen 46:2 Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l': -Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: -Men mwen wi.(Creole-HT) ======= Genesis 46:3 ============ Gen 46:3 And he said, I am God, the God of thy father: fear not to go down into Egypt; for I will there make of thee a great nation:(KJV-1611) Gen 46:3 Bondye di li: -Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a.(Creole-HT) ======= Genesis 46:4 ============ Gen 46:4 I will go down with thee into Egypt; and I will also surely bring thee up again: and Joseph shall put his hand upon thine eyes.(KJV-1611) Gen 46:4 M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè wa mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 46:5 ============ Gen 46:5 And Jacob rose up from Beersheba: and the sons of Israel carried Jacob their father, and their little ones, and their wives, in the wagons which Pharaoh had sent to carry him.(KJV-1611) Gen 46:5 Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a.(Creole-HT) ======= Genesis 46:6 ============ Gen 46:6 And they took their cattle, and their goods, which they had gotten in the land of Canaan, and came into Egypt, Jacob, and all his seed with him:(KJV-1611) Gen 46:6 Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 46:7 ============ Gen 46:7 His sons, and his sons' sons with him, his daughters, and his sons' daughters, and all his seed brought he with him into Egypt.(KJV-1611) Gen 46:7 Jakòb pran pitit gason l' yo ak pitit fi l' yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.(Creole-HT) ======= Genesis 46:8 ============ Gen 46:8 And these are the names of the children of Israel, which came into Egypt, Jacob and his sons: Reuben, Jacob's firstborn.(KJV-1611) Gen 46:8 Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.(Creole-HT) ======= Genesis 46:9 ============ Gen 46:9 And the sons of Reuben; Hanoch, and Phallu, and Hezron, and Carmi.(KJV-1611) Gen 46:9 Men non pitit Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami.(Creole-HT) ======= Genesis 46:10 ============ Gen 46:10 And the sons of Simeon; Jemuel, and Jamin, and Ohad, and Jachin, and Zohar, and Shaul the son of a Canaanitish woman.(KJV-1611) Gen 46:10 Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Genesis 46:11 ============ Gen 46:11 And the sons of Levi; Gershon, Kohath, and Merari.(KJV-1611) Gen 46:11 Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.(Creole-HT) ======= Genesis 46:12 ============ Gen 46:12 And the sons of Judah; Er, and Onan, and Shelah, and Pharez, and Zarah: but Er and Onan died in the land of Canaan. And the sons of Pharez were Hezron and Hamul.(KJV-1611) Gen 46:12 Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.(Creole-HT) ======= Genesis 46:13 ============ Gen 46:13 And the sons of Issachar; Tola, and Phuvah, and Job, and Shimron.(KJV-1611) Gen 46:13 Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon.(Creole-HT) ======= Genesis 46:14 ============ Gen 46:14 And the sons of Zebulun; Sered, and Elon, and Jahleel.(KJV-1611) Gen 46:14 Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl.(Creole-HT) ======= Genesis 46:15 ============ Gen 46:15 These be the sons of Leah, which she bare unto Jacob in Padanaram, with his daughter Dinah: all the souls of his sons and his daughters were thirty and three.(KJV-1611) Gen 46:15 Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi.(Creole-HT) ======= Genesis 46:16 ============ Gen 46:16 And the sons of Gad; Ziphion, and Haggi, Shuni, and Ezbon, Eri, and Arodi, and Areli.(KJV-1611) Gen 46:16 Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli.(Creole-HT) ======= Genesis 46:17 ============ Gen 46:17 And the sons of Asher; Jimnah, and Ishuah, and Isui, and Beriah, and Serah their sister: and the sons of Beriah; Heber, and Malchiel.(KJV-1611) Gen 46:17 Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl.(Creole-HT) ======= Genesis 46:18 ============ Gen 46:18 These are the sons of Zilpah, whom Laban gave to Leah his daughter, and these she bare unto Jacob, even sixteen souls.(KJV-1611) Gen 46:18 Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun.(Creole-HT) ======= Genesis 46:19 ============ Gen 46:19 The sons of Rachel Jacob's wife; Joseph, and Benjamin.(KJV-1611) Gen 46:19 Men non pitit gason Rachèl, madan Jakòb: Jozèf ak Benjamen.(Creole-HT) ======= Genesis 46:20 ============ Gen 46:20 And unto Joseph in the land of Egypt were born Manasseh and Ephraim, which Asenath the daughter of Potipherah priest of On bare unto him.(KJV-1611) Gen 46:20 Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 46:21 ============ Gen 46:21 And the sons of Benjamin were Belah, and Becher, and Ashbel, Gera, and Naaman, Ehi, and Rosh, Muppim, and Huppim, and Ard.(KJV-1611) Gen 46:21 Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad.(Creole-HT) ======= Genesis 46:22 ============ Gen 46:22 These are the sons of Rachel, which were born to Jacob: all the souls were fourteen.(KJV-1611) Gen 46:22 Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun.(Creole-HT) ======= Genesis 46:23 ============ Gen 46:23 And the sons of Dan; Hushim.(KJV-1611) Gen 46:23 Men non pitit gason Dann lan: Ouchim.(Creole-HT) ======= Genesis 46:24 ============ Gen 46:24 And the sons of Naphtali; Jahzeel, and Guni, and Jezer, and Shillem.(KJV-1611) Gen 46:24 Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm.(Creole-HT) ======= Genesis 46:25 ============ Gen 46:25 These are the sons of Bilhah, which Laban gave unto Rachel his daughter, and she bare these unto Jacob: all the souls were seven.(KJV-1611) Gen 46:25 Se pitit gason sa yo Bila te fè pou Jakòb. Bila sa a, se te sèvant Laban te bay Rachèl, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèt moun.(Creole-HT) ======= Genesis 46:26 ============ Gen 46:26 All the souls that came with Jacob into Egypt, which came out of his loins, besides Jacob's sons' wives, all the souls were threescore and six;(KJV-1611) Gen 46:26 Antou sa te fè swasannsis moun, pitit ak pitit pitit ki te desann nan peyi Lejip ansanm ak Jakòb, san konte madanm pitit li yo.(Creole-HT) ======= Genesis 46:27 ============ Gen 46:27 And the sons of Joseph, which were born him in Egypt, were two souls: all the souls of the house of Jacob, which came into Egypt, were threescore and ten.(KJV-1611) Gen 46:27 Avèk Jozèf ki te gen tan fè de pitit nan peyi Lejip, sa te fè antou swasanndis moun laras Jakòb ki te vin nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Genesis 46:28 ============ Gen 46:28 And he sent Judah before him unto Joseph, to direct his face unto Goshen; and they came into the land of Goshen.(KJV-1611) Gen 46:28 Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l' vin jwenn li Gochenn.(Creole-HT) ======= Genesis 46:29 ============ Gen 46:29 And Joseph made ready his chariot, and went up to meet Israel his father, to Goshen, and presented himself unto him; and he fell on his neck, and wept on his neck a good while.(KJV-1611) Gen 46:29 Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li.(Creole-HT) ======= Genesis 46:30 ============ Gen 46:30 And Israel said unto Joseph, Now let me die, since I have seen thy face, because thou art yet alive.(KJV-1611) Gen 46:30 Izrayèl di Jozèf konsa: -Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 46:31 ============ Gen 46:31 And Joseph said unto his brethren, and unto his father's house, I will go up, and shew Pharaoh, and say unto him, My brethren, and my father's house, which were in the land of Canaan, are come unto me;(KJV-1611) Gen 46:31 Epi Jozèf di frè l' yo ak tout fanmi papa l' yo: -Mwen pral avèti wa a. Mwen pral di l': men frè m' yo ak tout fanmi papa m' yo ki t'ap viv nan peyi Kanaran vin jwenn mwen isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 46:32 ============ Gen 46:32 And the men are shepherds, for their trade hath been to feed cattle; and they have brought their flocks, and their herds, and all that they have.(KJV-1611) Gen 46:32 Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 46:33 ============ Gen 46:33 And it shall come to pass, when Pharaoh shall call you, and shall say, What is your occupation?(KJV-1611) Gen 46:33 Lè farawon an va rele nou pou mande nou ki metye nou,(Creole-HT) ======= Genesis 46:34 ============ Gen 46:34 That ye shall say, Thy servants' trade hath been about cattle from our youth even until now, both we, and also our fathers: that ye may dwell in the land of Goshen; for every shepherd is an abomination unto the Egyptians.(KJV-1611) Gen 46:34 n'a reponn li: Monwa, depi nou tout piti jouk koulye a, se bèt n'ap gade, tankou tout zansèt nou yo. Konsa, nou ka rete nan peyi Gochenn lan. Li te di yo sa paske moun peyi Lejip yo pa ka sipòte wè moun k'ap gade bèt viv nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Genesis 47:1 ============ Gen 47:1 Then Joseph came and told Pharaoh, and said, My father and my brethren, and their flocks, and their herds, and all that they have, are come out of the land of Canaan; and, behold, they are in the land of Goshen.(KJV-1611) Gen 47:1 Apre sa, Jozèf al avèti farawon an li di l': -Men papa m' ak frè m' yo rive soti nan peyi Kanaran, yo vini ak mouton yo, bèf yo ak tout sa yo genyen. Koulye a menm yo Gochenn.(Creole-HT) ======= Genesis 47:2 ============ Gen 47:2 And he took some of his brethren, even five men, and presented them unto Pharaoh.(KJV-1611) Gen 47:2 Jozèf te pran senk nan frè l' yo avèk li, li prezante yo bay farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:3 ============ Gen 47:3 And Pharaoh said unto his brethren, What is your occupation? And they said unto Pharaoh, Thy servants are shepherds, both we, and also our fathers.(KJV-1611) Gen 47:3 Farawon an di yo konsa: -Ki metye nou? Yo reponn li: -Metye nou se gade bèt tankou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 47:4 ============ Gen 47:4 They said morever unto Pharaoh, For to sojourn in the land are we come; for thy servants have no pasture for their flocks; for the famine is sore in the land of Canaan: now therefore, we pray thee, let thy servants dwell in the land of Goshen.(KJV-1611) Gen 47:4 Apre sa, yo di farawon an: -Nou vin pou nou ka rete nan peyi a, paske pa gen manje ankò nan peyi nou pou bèt yo manje. Lèfini, grangou a rèd anpil nan peyi Kanaran. Tanpri, ban nou pèmisyon pou nou rete nan peyi Gochenn lan.(Creole-HT) ======= Genesis 47:5 ============ Gen 47:5 And Pharaoh spake unto Joseph, saying, Thy father and thy brethren are come unto thee:(KJV-1611) Gen 47:5 Farawon an di Jozèf: -Men papa ou ak frè ou yo vin jwenn ou isit la.(Creole-HT) ======= Genesis 47:6 ============ Gen 47:6 The land of Egypt is before thee; in the best of the land make thy father and brethren to dwell; in the land of Goshen let them dwell: and if thou knowest any men of activity among them, then make them rulers over my cattle.(KJV-1611) Gen 47:6 tout peyi Lejip la la devan ou. Chwazi pi bon tè nan peyi a, ba yo l' pou rete. Yo mèt rete sou tè Gochenn lan. Epi, si ou konnen gen nan mitan yo moun ki kapab pran swen bèt pa m' yo, ou mèt ba yo bèt mwen yo gade.(Creole-HT) ======= Genesis 47:7 ============ Gen 47:7 And Joseph brought in Jacob his father, and set him before Pharaoh: and Jacob blessed Pharaoh.(KJV-1611) Gen 47:7 Apre sa, Jozèf fè papa l' vini, li prezante l' bay farawon an. Lè Jakòb fin di farawon an bonjou,(Creole-HT) ======= Genesis 47:8 ============ Gen 47:8 And Pharaoh said unto Jacob, How old art thou?(KJV-1611) Gen 47:8 farawon an mande l': -Ki laj ou?(Creole-HT) ======= Genesis 47:9 ============ Gen 47:9 And Jacob said unto Pharaoh, The days of the years of my pilgrimage are an hundred and thirty years: few and evil have the days of the years of my life been, and have not attained unto the days of the years of the life of my fathers in the days of their pilgrimage.(KJV-1611) Gen 47:9 Jakòb reponn li: -Mwen gen santrantan depi m'ap moute desann sou latè. Men, mwen poko prèt pou m' rive laj zansèt mwen yo te rive lè yo t'ap fè moute desann pa yo. Mwen pa gen anpil laj, se vre. Men, mwen pa manke bat mizè.(Creole-HT) ======= Genesis 47:10 ============ Gen 47:10 And Jacob blessed Pharaoh, and went out from before Pharaoh.(KJV-1611) Gen 47:10 Jakòb di farawon an orevwa, epi li ale.(Creole-HT) ======= Genesis 47:11 ============ Gen 47:11 And Joseph placed his father and his brethren, and gave them a possession in the land of Egypt, in the best of the land, in the land of Rameses, as Pharaoh had commanded.(KJV-1611) Gen 47:11 Jozèf fè papa l' ak frè l' yo rete nan peyi Lejip. Li ba yo tè bò lavil Ranmsès, jan farawon an te mande l' la. Li ba yo yon bon tè nan peyi a.(Creole-HT) ======= Genesis 47:12 ============ Gen 47:12 And Joseph nourished his father, and his brethren, and all his father's household, with bread, according to their families.(KJV-1611) Gen 47:12 Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 47:13 ============ Gen 47:13 And there was no bread in all the land; for the famine was very sore, so that the land of Egypt and all the land of Canaan fainted by reason of the famine.(KJV-1611) Gen 47:13 Grangou a te rèd anpil toupatou. pa t' gen manje ankò. Moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran yo t'ap fin deperi anba grangou a.(Creole-HT) ======= Genesis 47:14 ============ Gen 47:14 And Joseph gathered up all the money that was found in the land of Egypt, and in the land of Canaan, for the corn which they bought: and Joseph brought the money into Pharaoh's house.(KJV-1611) Gen 47:14 Jozèf te fin ranmase dènye lajan moun peyi Lejip ak moun peyi Kanaran te genyen nan vann yo ble. Li pote tout lajan an lakay farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:15 ============ Gen 47:15 And when money failed in the land of Egypt, and in the land of Canaan, all the Egyptians came unto Joseph, and said, Give us bread: for why should we die in thy presence? for the money faileth.(KJV-1611) Gen 47:15 Lè tout lajan moun yo fini nan peyi Lejip ak nan peyi Kanaran, tout moun peyi Lejip yo vin jwenn Jozèf, yo di l': -Ban nou manje non, souple. Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou, nou pa gen lajan ankò.(Creole-HT) ======= Genesis 47:16 ============ Gen 47:16 And Joseph said, Give your cattle; and I will give you for your cattle, if money fail.(KJV-1611) Gen 47:16 Jozèf di yo: -Si nou pa gen lajan, mennen bèt nou yo vini, n'a boukante yo pou manje.(Creole-HT) ======= Genesis 47:17 ============ Gen 47:17 And they brought their cattle unto Joseph: and Joseph gave them bread in exchange for horses, and for the flocks, and for the cattle of the herds, and for the asses: and he fed them with bread for all their cattle for that year.(KJV-1611) Gen 47:17 Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen.(Creole-HT) ======= Genesis 47:18 ============ Gen 47:18 When that year was ended, they came unto him the second year, and said unto him, We will not hide it from my lord, how that our money is spent; my lord also hath our herds of cattle; there is not ought left in the sight of my lord, but our bodies, and our lands:(KJV-1611) Gen 47:18 Apre lanne a fin pase, yo tounen bò kote Jozèf ankò. Yo di li: -Nou p'ap kapab kache ou sa, mèt. Lajan nou fini nèt. Nou deja ba ou tout bèt nou te genyen. Koulye a, mèt, se tè nou yo ak pwòp tèt nou ase ki rete pou n' ba ou.(Creole-HT) ======= Genesis 47:19 ============ Gen 47:19 Wherefore shall we die before thine eyes, both we and our land? buy us and our land for bread, and we and our land will be servants unto Pharaoh: and give us seed, that we may live, and not die, that the land be not desolate.(KJV-1611) Gen 47:19 Pa kite nou mouri. Fè kichòy pou nou! Pa kite nou pèdi tè nou yo. Fè pri pou nou menm ansanm ak tout tè nou yo. N'ap tounen esklav farawon an. Tè nou yo va pou li tou. Men, ban nou plan pou nou simen nan jaden nou yo pou nou pa mouri, pou tè a pa fin tounen savann.(Creole-HT) ======= Genesis 47:20 ============ Gen 47:20 And Joseph bought all the land of Egypt for Pharaoh; for the Egyptians sold every man his field, because the famine prevailed over them: so the land became Pharaoh's.(KJV-1611) Gen 47:20 Se konsa Jozèf achte tout tè Lejip la pou farawon an. tout moun peyi Lejip yo te vann li tè yo paske grangou a t'ap fini ak yo. tout peyi a vini pou farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:21 ============ Gen 47:21 And as for the people, he removed them to cities from one end of the borders of Egypt even to the other end thereof.(KJV-1611) Gen 47:21 Jozèf fè tout moun toupatou nan peyi a tounen esklav farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:22 ============ Gen 47:22 Only the land of the priests bought he not; for the priests had a portion assigned them of Pharaoh, and did eat their portion which Pharaoh gave them: wherefore they sold not their lands.(KJV-1611) Gen 47:22 Se te prèt yo ase li pa t' manyen. Prèt yo pa t' bezwen tè pou yo manje, paske, dapre yon lwa ki gen nan peyi a, se farawon an menm ki te toujou peye yo. Se ak lajan sa a yo te viv.(Creole-HT) ======= Genesis 47:23 ============ Gen 47:23 Then Joseph said unto the people, Behold, I have bought you this day and your land for Pharaoh: lo, here is seed for you, and ye shall sow the land.(KJV-1611) Gen 47:23 Jozèf di pèp la: -Jòdi a, mwen achte nou ansanm ak tout tè nou yo pou farawon an. Men grenn m'ap ban nou pou nou plante nan jaden nou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 47:24 ============ Gen 47:24 And it shall come to pass in the increase, that ye shall give the fifth part unto Pharaoh, and four parts shall be your own, for seed of the field, and for your food, and for them of your households, and for food for your little ones.(KJV-1611) Gen 47:24 Lè sezon rekòt la va rive, n'a bay farawon an yon senkyèm nan tou sa nou rekòlte. Rès la va pou nou, pou nou plante nan jaden nou yo, pou nou manje nou menm ansanm ak pitit nou yo ak tout moun ki lakay nou.(Creole-HT) ======= Genesis 47:25 ============ Gen 47:25 And they said, Thou hast saved our lives: let us find grace in the sight of my lord, and we will be Pharaoh's servants.(KJV-1611) Gen 47:25 Yo reponn li: -Ou sove lavi nou! Sèl sa nou mande ou, se pou ou aji byen ak nou. N'ap rete esklav farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:26 ============ Gen 47:26 And Joseph made it a law over the land of Egypt unto this day, that Pharaoh should have the fifth part, except the land of the priests only, which became not Pharaoh's.(KJV-1611) Gen 47:26 Se konsa, Jozèf te pase yon regleman pou tout peyi Lejip la: dapre regleman sa a ki la jouk koulye a toujou, se pou yo bay farawon an yon senkyèm sou chak rekòt. Se sèlman tè prèt yo ki pa t' pou farawon an.(Creole-HT) ======= Genesis 47:27 ============ Gen 47:27 And Israel dwelt in the land of Egypt, in the country of Goshen; and they had possessions therein, and grew, and multiplied exceedingly.(KJV-1611) Gen 47:27 Moun Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou.(Creole-HT) ======= Genesis 47:28 ============ Gen 47:28 And Jacob lived in the land of Egypt seventeen years: so the whole age of Jacob was an hundred forty and seven years.(KJV-1611) Gen 47:28 Jakòb pase disèt lanne nan peyi Lejip. Li te rive gen sankarannsèt lanne sou tèt li.(Creole-HT) ======= Genesis 47:29 ============ Gen 47:29 And the time drew nigh that Israel must die: and he called his son Joseph, and said unto him, If now I have found grace in thy sight, put, I pray thee, thy hand under my thigh, and deal kindly and truly with me; bury me not, I pray thee, in Egypt:(KJV-1611) Gen 47:29 Lè sa a, Izrayèl vin wè li pa t' gen lontan pou l' viv ankò. Li fè rele Jozèf, pitit li a, li di l' konsa: -Si ou renmen m' vre, tanpri, fè m' sèman. Mete men ou nan fant janm mwen, pwomèt mwen w'ap kenbe pawòl ou, ou p'ap janm trayi m'. Tanpri, pa antere m' nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Genesis 47:30 ============ Gen 47:30 But I will lie with my fathers, and thou shalt carry me out of Egypt, and bury me in their buryingplace. And he said, I will do as thou hast said.(KJV-1611) Gen 47:30 Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo, lè m aval jwenn fanmi mwen yo ki mouri deja a. Se pou ou pran kadav mwen, pote l' soti peyi Lejip, al antere l' nan kavo fanmi m' yo. Jozèf reponn li: -m'a fè jan ou mande m' lan.(Creole-HT) ======= Genesis 47:31 ============ Gen 47:31 And he said, Swear unto me. And he sware unto him. And Israel bowed himself upon the bed's head.(KJV-1611) Gen 47:31 Men, Jakòb di Jozèf konsa: -Fè m' sèman w'ap fè sa pou mwen! Jozèf sèmante ba li. Apre sa, Izrayèl bese kouche nan kabann li.(Creole-HT) ======= Genesis 48:1 ============ Gen 48:1 And it came to pass after these things, that one told Joseph, Behold, thy father is sick: and he took with him his two sons, Manasseh and Ephraim.(KJV-1611) Gen 48:1 Kèk tan apre sa, yo vin fè Jozèf konnen papa l' malad. Jozèf pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l' yo, ak li, li ale wè Jakòb.(Creole-HT) ======= Genesis 48:2 ============ Gen 48:2 And one told Jacob, and said, Behold, thy son Joseph cometh unto thee: and Israel strengthened himself, and sat upon the bed.(KJV-1611) Gen 48:2 Yo vin di Jakòb: -Men Jozèf, pitit ou, vin wè ou. Izrayèl ranmase dènye ti rès fòs li te genyen an, li leve chita sou kabann lan.(Creole-HT) ======= Genesis 48:3 ============ Gen 48:3 And Jacob said unto Joseph, God Almighty appeared unto me at Luz in the land of Canaan, and blessed me,(KJV-1611) Gen 48:3 Jakòb di Jozèf: -Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen yon kote yo rele Louz, nan peyi Kanaran. Li beni m'.(Creole-HT) ======= Genesis 48:4 ============ Gen 48:4 And said unto me, Behold, I will make thee fruitful, and multiply thee, and I will make of thee a multitude of people; and will give this land to thy seed after thee for an everlasting possession.(KJV-1611) Gen 48:4 Li di m' konsa: M'ap ba ou anpil pitit ak pitit pitit. M'ap fè yo tounen anpil nasyon. Ou wè tè sa a? M'ap bay pitit pitit ou yo li pou li rele yo pa yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= Genesis 48:5 ============ Gen 48:5 And now thy two sons, Ephraim and Manasseh, which were born unto thee in the land of Egypt before I came unto thee into Egypt, are mine; as Reuben and Simeon, they shall be mine.(KJV-1611) Gen 48:5 Bon. De pitit gason ou te fè nan peyi Lejip anvan m' te vin jwenn ou isit la a, se pitit mwen yo pral ye. Wi, Efrayim ak Manase ap pou mwen tankou Woubenn ak Simeyon.(Creole-HT) ======= Genesis 48:6 ============ Gen 48:6 And thy issue, which thou begettest after them, shall be thine, and shall be called after the name of their brethren in their inheritance.(KJV-1611) Gen 48:6 Men, tout pitit ou va fè apre yo, se pitit ou y'ap ye. Y'a pote non gran frè yo pou yo ka jwenn pa yo nan byen m' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:7 ============ Gen 48:7 And as for me, when I came from Padan, Rachel died by me in the land of Canaan in the way, when yet there was but a little way to come unto Ephrath: and I buried her there in the way of Ephrath; the same is Bethlehem.(KJV-1611) Gen 48:7 Lè m' t'ap tounen soti nan peyi Mezopotami an, Rachèl, manman ou, te mouri nan men mwen. Li mouri sou wout pou ale peyi Kanaran, pa twò lwen lavil Efrata. Mwen antere l' la sou wout Efrata a. Se Efrata sa a yo rele Betleyèm lan tou.(Creole-HT) ======= Genesis 48:8 ============ Gen 48:8 And Israel beheld Joseph's sons, and said, Who are these?(KJV-1611) Gen 48:8 Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande: -Ki timoun sa yo?(Creole-HT) ======= Genesis 48:9 ============ Gen 48:9 And Joseph said unto his father, They are my sons, whom God hath given me in this place. And he said, Bring them, I pray thee, unto me, and I will bless them.(KJV-1611) Gen 48:9 Jozèf reponn li: -Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: -Tanpri, fè yo pwoche pi pre m' pou m' ka beni yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:10 ============ Gen 48:10 Now the eyes of Israel were dim for age, so that he could not see. And he brought them near unto him; and he kissed them, and embraced them.(KJV-1611) Gen 48:10 Izrayèl te fin granmoun, je l' pa t' bon menm. Li pa t' kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l'. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l' nan kou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:11 ============ Gen 48:11 And Israel said unto Joseph, I had not thought to see thy face: and, lo, God hath shewed me also thy seed.(KJV-1611) Gen 48:11 Izrayèl di Jozèf konsa: -Mwen pa t' gen espwa wè figi ou ankò, men Bondye fè m' wè ata pitit ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:12 ============ Gen 48:12 And Joseph brought them out from between his knees, and he bowed himself with his face to the earth.(KJV-1611) Gen 48:12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 48:13 ============ Gen 48:13 And Joseph took them both, Ephraim in his right hand toward Israel's left hand, and Manasseh in his left hand toward Israel's right hand, and brought them near unto him.(KJV-1611) Gen 48:13 Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 48:14 ============ Gen 48:14 And Israel stretched out his right hand, and laid it upon Ephraim's head, who was the younger, and his left hand upon Manasseh's head, guiding his hands wittingly; for Manasseh was the firstborn.(KJV-1611) Gen 48:14 Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.(Creole-HT) ======= Genesis 48:15 ============ Gen 48:15 And he blessed Joseph, and said, God, before whom my fathers Abraham and Isaac did walk, the God which fed me all my life long unto this day,(KJV-1611) Gen 48:15 Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:16 ============ Gen 48:16 The Angel which redeemed me from all evil, bless the lads; and let my name be named on them, and the name of my fathers Abraham and Isaac; and let them grow into a multitude in the midst of the earth.(KJV-1611) Gen 48:16 Se pou zanj Bondye ki te delivre m' anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.(Creole-HT) ======= Genesis 48:17 ============ Gen 48:17 And when Joseph saw that his father laid his right hand upon the head of Ephraim, it displeased him: and he held up his father's hand, to remove it from Ephraim's head unto Manasseh's head.(KJV-1611) Gen 48:17 Men Jozèf pa t' kontan lè li wè papa l' te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l' pou l' wete l' sou tèt Efrayim pou l' mete l' pito sou tèt Manase.(Creole-HT) ======= Genesis 48:18 ============ Gen 48:18 And Joseph said unto his father, Not so, my father: for this is the firstborn; put thy right hand upon his head.(KJV-1611) Gen 48:18 Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.(Creole-HT) ======= Genesis 48:19 ============ Gen 48:19 And his father refused, and said, I know it, my son, I know it: he also shall become a people, and he also shall be great: but truly his younger brother shall be greater than he, and his seed shall become a multitude of nations.(KJV-1611) Gen 48:19 Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Genesis 48:20 ============ Gen 48:20 And he blessed them that day, saying, In thee shall Israel bless, saying, God make thee as Ephraim and as Manasseh: and he set Ephraim before Manasseh.(KJV-1611) Gen 48:20 Jou sa a, li beni yo, li di: -Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y'ap bay benediksyon, y'a nonmen non nou. y'a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase. Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase.(Creole-HT) ======= Genesis 48:21 ============ Gen 48:21 And Israel said unto Joseph, Behold, I die: but God shall be with you, and bring you again unto the land of your fathers.(KJV-1611) Gen 48:21 Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 48:22 ============ Gen 48:22 Moreover I have given to thee one portion above thy brethren, which I took out of the hand of the Amorite with my sword and with my bow.(KJV-1611) Gen 48:22 Se pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m'ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen.(Creole-HT) ======= Genesis 49:1 ============ Gen 49:1 And Jacob called unto his sons, and said, Gather yourselves together, that I may tell you that which shall befall you in the last days.(KJV-1611) Gen 49:1 Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:2 ============ Gen 49:2 Gather yourselves together, and hear, ye sons of Jacob; and hearken unto Israel your father.(KJV-1611) Gen 49:2 Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou.(Creole-HT) ======= Genesis 49:3 ============ Gen 49:3 Reuben, thou art my firstborn, my might, and the beginning of my strength, the excellency of dignity, and the excellency of power:(KJV-1611) Gen 49:3 Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg.(Creole-HT) ======= Genesis 49:4 ============ Gen 49:4 Unstable as water, thou shalt not excel; because thou wentest up to thy father's bed; then defiledst thou it: he went up to my couch.(KJV-1611) Gen 49:4 Ou tankou yon larivyè k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pa t' dwe fè.(Creole-HT) ======= Genesis 49:5 ============ Gen 49:5 Simeon and Levi are brethren; instruments of cruelty are in their habitations.(KJV-1611) Gen 49:5 Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste.(Creole-HT) ======= Genesis 49:6 ============ Gen 49:6 O my soul, come not thou into their secret; unto their assembly, mine honour, be not thou united: for in their anger they slew a man, and in their selfwill they digged down a wall.(KJV-1611) Gen 49:6 Mwen p'ap patisipe nan konplo yo. Mwen p'ap la avèk yo nan reyinyon yo. Paske lè yo ankòlè, yo touye moun. Yo koupe jarèt towo bèf pou dan ri.(Creole-HT) ======= Genesis 49:7 ============ Gen 49:7 Cursed be their anger, for it was fierce; and their wrath, for it was cruel: I will divide them in Jacob, and scatter them in Israel.(KJV-1611) Gen 49:7 Madichon pou yo lè yo move paske yo san manman! M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la. M'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Genesis 49:8 ============ Gen 49:8 Judah, thou art he whom thy brethren shall praise: thy hand shall be in the neck of thine enemies; thy father's children shall bow down before thee.(KJV-1611) Gen 49:8 Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou.(Creole-HT) ======= Genesis 49:9 ============ Gen 49:9 Judah is a lion's whelp: from the prey, my son, thou art gone up: he stooped down, he couched as a lion, and as an old lion; who shall rouse him up?(KJV-1611) Gen 49:9 Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou?(Creole-HT) ======= Genesis 49:10 ============ Gen 49:10 The sceptre shall not depart from Judah, nor a lawgiver from between his feet, until Shiloh come; and unto him shall the gathering of the people be.(KJV-1611) Gen 49:10 Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.(Creole-HT) ======= Genesis 49:11 ============ Gen 49:11 Binding his foal unto the vine, and his ass's colt unto the choice vine; he washed his garments in wine, and his clothes in the blood of grapes:(KJV-1611) Gen 49:11 L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L'ap lave rad li nan diven, l'ap lave varèz li nan diven wouj kou san.(Creole-HT) ======= Genesis 49:12 ============ Gen 49:12 His eyes shall be red with wine, and his teeth white with milk.(KJV-1611) Gen 49:12 Je l' wouj ak diven. Dan l' blan ak lèt.(Creole-HT) ======= Genesis 49:13 ============ Gen 49:13 Zebulun shall dwell at the haven of the sea; and he shall be for an haven of ships; and his border shall be unto Zidon.(KJV-1611) Gen 49:13 Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.(Creole-HT) ======= Genesis 49:14 ============ Gen 49:14 Issachar is a strong ass couching down between two burdens:(KJV-1611) Gen 49:14 Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bò sakpay.(Creole-HT) ======= Genesis 49:15 ============ Gen 49:15 And he saw that rest was good, and the land that it was pleasant; and bowed his shoulder to bear, and became a servant unto tribute.(KJV-1611) Gen 49:15 Li wè jan kote li poze kò l' la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di.(Creole-HT) ======= Genesis 49:16 ============ Gen 49:16 Dan shall judge his people, as one of the tribes of Israel.(KJV-1611) Gen 49:16 Dann ap yon chèf pou pèp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Genesis 49:17 ============ Gen 49:17 Dan shall be a serpent by the way, an adder in the path, that biteth the horse heels, so that his rider shall fall backward.(KJV-1611) Gen 49:17 Dann ap tankou yon sèpan bò gran chemen an, yon sèpan mechan sou bò wout la. L'ap mòde chwal yo nan talon pou l' fè kavalye yo tonbe sou tèt.(Creole-HT) ======= Genesis 49:18 ============ Gen 49:18 I have waited for thy salvation, O LORD.(KJV-1611) Gen 49:18 O Seyè, m'ap tann ou vin sove mwen!(Creole-HT) ======= Genesis 49:19 ============ Gen 49:19 Gad, a troop shall overcome him: but he shall overcome at the last.(KJV-1611) Gen 49:19 Ou menm, Gad, yon bann vòlò ap vin tonbe sou ou. Men, w'ap kouri dèyè yo, se ou k'ap mete men sou yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:20 ============ Gen 49:20 Out of Asher his bread shall be fat, and he shall yield royal dainties.(KJV-1611) Gen 49:20 Peyi Asè a ap bay bon manje k'ap bay fòs. L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:21 ============ Gen 49:21 Naphtali is a hind let loose: he giveth goodly words.(KJV-1611) Gen 49:21 Neftali, se yon fenmèl kabrit ki lage. L'ap fè bèl ti pitit.(Creole-HT) ======= Genesis 49:22 ============ Gen 49:22 Joseph is a fruitful bough, even a fruitful bough by a well; whose branches run over the wall:(KJV-1611) Gen 49:22 Jozèf se boujon yon pye rezen ki konn donnen, li soti nan yon pye rezen bò sous dlo ki donnen byen. Branch li yo moute sou tout miray la.(Creole-HT) ======= Genesis 49:23 ============ Gen 49:23 The archers have sorely grieved him, and shot at him, and hated him:(KJV-1611) Gen 49:23 Y'ap chache l' kont, y'ap voye wòch sou li. Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 49:24 ============ Gen 49:24 But his bow abode in strength, and the arms of his hands were made strong by the hands of the mighty God of Jacob; (from thence is the shepherd, the stone of Israel:)(KJV-1611) Gen 49:24 Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa febli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:25 ============ Gen 49:25 Even by the God of thy father, who shall help thee; and by the Almighty, who shall bless thee with blessings of heaven above, blessings of the deep that lieth under, blessings of the breasts, and of the womb:(KJV-1611) Gen 49:25 Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman.(Creole-HT) ======= Genesis 49:26 ============ Gen 49:26 The blessings of thy father have prevailed above the blessings of my progenitors unto the utmost bound of the everlasting hills: they shall be on the head of Joseph, and on the crown of the head of him that was separate from his brethren.(KJV-1611) Gen 49:26 Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:27 ============ Gen 49:27 Benjamin shall ravin as a wolf: in the morning he shall devour the prey, and at night he shall divide the spoil.(KJV-1611) Gen 49:27 Benjamen, se yon bèt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bèt li kenbe a. Nan aswè, l'ap separe toujou sa l' te pran yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:28 ============ Gen 49:28 All these are the twelve tribes of Israel: and this is it that their father spake unto them, and blessed them; every one according to his blessing he blessed them.(KJV-1611) Gen 49:28 Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 49:29 ============ Gen 49:29 And he charged them, and said unto them, I am to be gathered unto my people: bury me with my fathers in the cave that is in the field of Ephron the Hittite,(KJV-1611) Gen 49:29 Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,(Creole-HT) ======= Genesis 49:30 ============ Gen 49:30 In the cave that is in the field of Machpelah, which is before Mamre, in the land of Canaan, which Abraham bought with the field of Ephron the Hittite for a possession of a buryingplace.(KJV-1611) Gen 49:30 nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè.(Creole-HT) ======= Genesis 49:31 ============ Gen 49:31 There they buried Abraham and Sarah his wife; there they buried Isaac and Rebekah his wife; and there I buried Leah.(KJV-1611) Gen 49:31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya.(Creole-HT) ======= Genesis 49:32 ============ Gen 49:32 The purchase of the field and of the cave that is therein was from the children of Heth.(KJV-1611) Gen 49:32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a.(Creole-HT) ======= Genesis 49:33 ============ Gen 49:33 And when Jacob had made an end of commanding his sons, he gathered up his feet into the bed, and yielded up the ghost, and was gathered unto his people.(KJV-1611) Gen 49:33 Lè Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l' yo, li lonje kò l' sou kabann lan, li mouri, li al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.(Creole-HT) ======= Genesis 50:1 ============ Gen 50:1 And Joseph fell upon his father's face, and wept upon him, and kissed him.(KJV-1611) Gen 50:1 Jozèf lage kò l' sou papa l', li kriye kont li, li bo l' nan figi.(Creole-HT) ======= Genesis 50:2 ============ Gen 50:2 And Joseph commanded his servants the physicians to embalm his father: and the physicians embalmed Israel.(KJV-1611) Gen 50:2 Apre sa, Jozèf rele dòktè ki t'ap sèvi l' yo, li fè yo pare kadav la. Se sa menm dòktè yo fè.(Creole-HT) ======= Genesis 50:3 ============ Gen 50:3 And forty days were fulfilled for him; for so are fulfilled the days of those which are embalmed: and the Egyptians mourned for him threescore and ten days.(KJV-1611) Gen 50:3 Yo pran karant jou pou pare kadav la jan yo konn fè l' la. Apre sa, moun peyi Lejip yo pase swasanndi jou ap kriye pou li.(Creole-HT) ======= Genesis 50:4 ============ Gen 50:4 And when the days of his mourning were past, Joseph spake unto the house of Pharaoh, saying, If now I have found grace in your eyes, speak, I pray you, in the ears of Pharaoh, saying,(KJV-1611) Gen 50:4 Lè tout swasanndi jou yo fin pase, jou pou antèman an rive. Jozèf pale ak moun lakay farawon yo, li di yo konsa: -Tanpri souple, rann mwen sèvis sa a. Pote komisyon sa a bay farawon an pou mwen.(Creole-HT) ======= Genesis 50:5 ============ Gen 50:5 My father made me swear, saying, Lo, I die: in my grave which I have digged for me in the land of Canaan, there shalt thou bury me. Now therefore let me go up, I pray thee, and bury my father, and I will come again.(KJV-1611) Gen 50:5 Di l' pou mwen: Anvan papa m' te mouri li te fè m' sèmante pou m' te antere l' nan kavo li te fè pare pou li nan peyi Kanaran. Tanpri, kite m' moute al antere papa m'. Apre sa, m'a tounen.(Creole-HT) ======= Genesis 50:6 ============ Gen 50:6 And Pharaoh said, Go up, and bury thy father, according as he made thee swear.(KJV-1611) Gen 50:6 Farawon an voye reponn li: -Ou mèt al antere papa ou, jan ou te sèmante ba li a.(Creole-HT) ======= Genesis 50:7 ============ Gen 50:7 And Joseph went up to bury his father: and with him went up all the servants of Pharaoh, the elders of his house, and all the elders of the land of Egypt,(KJV-1611) Gen 50:7 Se konsa Jozèf moute al antere papa l'. tout moun lakay farawon yo, tout chèf ak tout notab peyi Lejip yo ale ak li,(Creole-HT) ======= Genesis 50:8 ============ Gen 50:8 And all the house of Joseph, and his brethren, and his father's house: only their little ones, and their flocks, and their herds, they left in the land of Goshen.(KJV-1611) Gen 50:8 ansanm ak tout fanmi Jozèf yo, frè l' yo, ak tout fanmi papa l' yo. Men yo te kite tout timoun piti yo Gochenn ansanm ak bèt yo, mouton, kabrit ak bèf.(Creole-HT) ======= Genesis 50:9 ============ Gen 50:9 And there went up with him both chariots and horsemen: and it was a very great company.(KJV-1611) Gen 50:9 Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki t ale avek li. Kifè pa t' manke moun nan lantèman an.(Creole-HT) ======= Genesis 50:10 ============ Gen 50:10 And they came to the threshingfloor of Atad, which is beyond Jordan, and there they mourned with a great and very sore lamentation: and he made a mourning for his father seven days.(KJV-1611) Gen 50:10 Lè yo rive nan glasi Atad ki lòt bò larivyè Jouden, kote sòlèy leve a, yo pran rele byen fò. Jozèf te fè yo fè sèvis la pandan sèt jou pou papa l'.(Creole-HT) ======= Genesis 50:11 ============ Gen 50:11 And when the inhabitants of the land, the Canaanites, saw the mourning in the floor of Atad, they said, This is a grievous mourning to the Egyptians: wherefore the name of it was called Abelmizraim, which is beyond Jordan.(KJV-1611) Gen 50:11 Lè moun peyi Kanaran yo wè sèvis lantèman yo t'ap fè Atad la, yo di: -Ala yon grannèg ki mouri lakay moun peyi Lejip yo papa! Se poutèt sa yo rele glasi ki lòt bò larivyè Jouden an: Glasi lapenn moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Genesis 50:12 ============ Gen 50:12 And his sons did unto him according as he commanded them:(KJV-1611) Gen 50:12 Konsa, pitit gason Jakòb yo te fè jan papa yo te ba yo lòd fè a.(Creole-HT) ======= Genesis 50:13 ============ Gen 50:13 For his sons carried him into the land of Canaan, and buried him in the cave of the field of Machpelah, which Abraham bought with the field for a possession of a buryingplace of Ephron the Hittite, before Mamre.(KJV-1611) Gen 50:13 Yo pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l' nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè.(Creole-HT) ======= Genesis 50:14 ============ Gen 50:14 And Joseph returned into Egypt, he, and his brethren, and all that went up with him to bury his father, after he had buried his father.(KJV-1611) Gen 50:14 Apre Jozèf fin antere papa l', li tounen Lejip ansanm ak frè l' yo ak tout moun ki te moute avè l' pou lantèman papa l' la.(Creole-HT) ======= Genesis 50:15 ============ Gen 50:15 And when Joseph's brethren saw that their father was dead, they said, Joseph will peradventure hate us, and will certainly requite us all the evil which we did unto him.(KJV-1611) Gen 50:15 Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di: -Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tout sa nou te fè l' yo.(Creole-HT) ======= Genesis 50:16 ============ Gen 50:16 And they sent a messenger unto Joseph, saying, Thy father did command before he died, saying,(KJV-1611) Gen 50:16 Se konsa yo voye di Jozèf: -Men komisyon papa te ban nou pou ou anvan l' te mouri:(Creole-HT) ======= Genesis 50:17 ============ Gen 50:17 So shall ye say unto Joseph, Forgive, I pray thee now, the trespass of thy brethren, and their sin; for they did unto thee evil: and now, we pray thee, forgive the trespass of the servants of the God of thy father. And Joseph wept when they spake unto him.(KJV-1611) Gen 50:17 Men sa n'a di Jozèf pou mwen: Tanpri, padonnen krim frè ou yo te fè ou la. Padonnen peche yo paske yo te fè ou mal anpil. Koulye a atò, tanpri, padonnen mal nou te fè ou la, nou menm k'ap sèvi Bondye papa ou la. Lè Jozèf tande pawòl sa a, li pran kriye.(Creole-HT) ======= Genesis 50:18 ============ Gen 50:18 And his brethren also went and fell down before his face; and they said, Behold, we be thy servants.(KJV-1611) Gen 50:18 Apre sa, frè l' yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l' konsa: -Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik.(Creole-HT) ======= Genesis 50:19 ============ Gen 50:19 And Joseph said unto them, Fear not: for am I in the place of God?(KJV-1611) Gen 50:19 Jozèf di yo: -Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.(Creole-HT) ======= Genesis 50:20 ============ Gen 50:20 But as for you, ye thought evil against me; but God meant it unto good, to bring to pass, as it is this day, to save much people alive.(KJV-1611) Gen 50:20 Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l' te fè sak rive jòdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.(Creole-HT) ======= Genesis 50:21 ============ Gen 50:21 Now therefore fear ye not: I will nourish you, and your little ones. And he comforted them, and spake kindly unto them.(KJV-1611) Gen 50:21 Non. Nou pa bezwen pè. M'ap okipe nou, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. Se konsa, Jozèf te pale byen ak frè l' yo, li te di yo pawòl ki te touche kè yo, li remoute kouraj yo.(Creole-HT) ======= Genesis 50:22 ============ Gen 50:22 And Joseph dwelt in Egypt, he, and his father's house: and Joseph lived an hundred and ten years.(KJV-1611) Gen 50:22 Jozèf te rete nan peyi Lejip ak tout fanmi papa l' yo. Li te gen sandizan lè l' mouri.(Creole-HT) ======= Genesis 50:23 ============ Gen 50:23 And Joseph saw Ephraim's children of the third generation: the children also of Machir the son of Manasseh were brought up upon Joseph's knees.(KJV-1611) Gen 50:23 Li te gen tan wè pitit ak pitit pitit Efrayim. Se nan men l' pitit Maki yo te fèt. Maki sa a te pitit Manase.(Creole-HT) ======= Genesis 50:24 ============ Gen 50:24 And Joseph said unto his brethren, I die: and God will surely visit you, and bring you out of this land unto the land which he sware to Abraham, to Isaac, and to Jacob.(KJV-1611) Gen 50:24 Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.(Creole-HT) ======= Genesis 50:25 ============ Gen 50:25 And Joseph took an oath of the children of Israel, saying, God will surely visit you, and ye shall carry up my bones from hence.(KJV-1611) Gen 50:25 Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.(Creole-HT) ======= Genesis 50:26 ============ Gen 50:26 So Joseph died, being an hundred and ten years old: and they embalmed him, and he was put in a coffin in Egypt.(KJV-1611) Gen 50:26 Lè Jozèf mouri li te gen sandizan . Yo benyen kadav la, yo pare l' pou l' pa pouri. Yo mete l' nan yon sèkèy byen fèmen nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 1:1 ============ Exo 1:1 Now these are the names of the children of Israel, which came into Egypt; every man and his household came with Jacob.(KJV-1611) Exo 1:1 Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l' nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo:(Creole-HT) ======= Exodus 1:2 ============ Exo 1:2 Reuben, Simeon, Levi, and Judah,(KJV-1611) Exo 1:2 Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida,(Creole-HT) ======= Exodus 1:3 ============ Exo 1:3 Issachar, Zebulun, and Benjamin,(KJV-1611) Exo 1:3 Isaka, Zabilon epi Benjamen,(Creole-HT) ======= Exodus 1:4 ============ Exo 1:4 Dan, and Naphtali, Gad, and Asher.(KJV-1611) Exo 1:4 Dann ak Nèftali, Gad ak Asè.(Creole-HT) ======= Exodus 1:5 ============ Exo 1:5 And all the souls that came out of the loins of Jacob were seventy souls: for Joseph was in Egypt already.(KJV-1611) Exo 1:5 Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 1:6 ============ Exo 1:6 And Joseph died, and all his brethren, and all that generation.(KJV-1611) Exo 1:6 Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo.(Creole-HT) ======= Exodus 1:7 ============ Exo 1:7 And the children of Israel were fruitful, and increased abundantly, and multiplied, and waxed exceeding mighty; and the land was filled with them.(KJV-1611) Exo 1:7 Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 1:8 ============ Exo 1:8 Now there arose up a new king over Egypt, which knew not Joseph.(KJV-1611) Exo 1:8 Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozèf.(Creole-HT) ======= Exodus 1:9 ============ Exo 1:9 And he said unto his people, Behold, the people of the children of Israel are more and mightier than we:(KJV-1611) Exo 1:9 Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou.(Creole-HT) ======= Exodus 1:10 ============ Exo 1:10 Come on, let us deal wisely with them; lest they multiply, and it come to pass, that, when there falleth out any war, they join also unto our enemies, and fight against us, and so get them up out of the land.(KJV-1611) Exo 1:10 Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 1:11 ============ Exo 1:11 Therefore they did set over them taskmasters to afflict them with their burdens. And they built for Pharaoh treasure cities, Pithom and Raamses.(KJV-1611) Exo 1:11 Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje.(Creole-HT) ======= Exodus 1:12 ============ Exo 1:12 But the more they afflicted them, the more they multiplied and grew. And they were grieved because of the children of Israel.(KJV-1611) Exo 1:12 Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t'ap fè pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 1:13 ============ Exo 1:13 And the Egyptians made the children of Israel to serve with rigour:(KJV-1611) Exo 1:13 Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav.(Creole-HT) ======= Exodus 1:14 ============ Exo 1:14 And they made their lives bitter with hard bondage, in morter, and in brick, and in all manner of service in the field: all their service, wherein they made them serve, was with rigour.(KJV-1611) Exo 1:14 Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 1:15 ============ Exo 1:15 And the king of Egypt spake to the Hebrew midwives, of which the name of the one was Shiphrah, and the name of the other Puah:(KJV-1611) Exo 1:15 Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo,(Creole-HT) ======= Exodus 1:16 ============ Exo 1:16 And he said, When ye do the office of a midwife to the Hebrew women, and see them upon the stools; if it be a son, then ye shall kill him: but if it be a daughter, then she shall live.(KJV-1611) Exo 1:16 li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv.(Creole-HT) ======= Exodus 1:17 ============ Exo 1:17 But the midwives feared God, and did not as the king of Egypt commanded them, but saved the men children alive.(KJV-1611) Exo 1:17 Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou.(Creole-HT) ======= Exodus 1:18 ============ Exo 1:18 And the king of Egypt called for the midwives, and said unto them, Why have ye done this thing, and have saved the men children alive?(KJV-1611) Exo 1:18 Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou?(Creole-HT) ======= Exodus 1:19 ============ Exo 1:19 And the midwives said unto Pharaoh, Because the Hebrew women are not as the Egyptian women; for they are lively, and are delivered ere the midwives come in unto them.(KJV-1611) Exo 1:19 Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche.(Creole-HT) ======= Exodus 1:20 ============ Exo 1:20 Therefore God dealt well with the midwives: and the people multiplied, and waxed very mighty.(KJV-1611) Exo 1:20 Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap vin pi fò.(Creole-HT) ======= Exodus 1:21 ============ Exo 1:21 And it came to pass, because the midwives feared God, that he made them houses.(KJV-1611) Exo 1:21 Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 1:22 ============ Exo 1:22 And Pharaoh charged all his people, saying, Every son that is born ye shall cast into the river, and every daughter ye shall save alive.(KJV-1611) Exo 1:22 Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.(Creole-HT) ======= Exodus 2:1 ============ Exo 2:1 And there went a man of the house of Levi, and took to wife a daughter of Levi.(KJV-1611) Exo 2:1 Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch fanmi an.(Creole-HT) ======= Exodus 2:2 ============ Exo 2:2 And the woman conceived, and bare a son: and when she saw him that he was a goodly child, she hid him three months.(KJV-1611) Exo 2:2 Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l' pandan twa mwa.(Creole-HT) ======= Exodus 2:3 ============ Exo 2:3 And when she could not longer hide him, she took for him an ark of bulrushes, and daubed it with slime and with pitch, and put the child therein; and she laid it in the flags by the river's brink.(KJV-1611) Exo 2:3 Men, li pa t' kapab kache l' pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l' byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l'. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l' nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 2:4 ============ Exo 2:4 And his sister stood afar off, to wit what would be done to him.(KJV-1611) Exo 2:4 Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la.(Creole-HT) ======= Exodus 2:5 ============ Exo 2:5 And the daughter of Pharaoh came down to wash herself at the river; and her maidens walked along by the river's side; and when she saw the ark among the flags, she sent her maid to fetch it.(KJV-1611) Exo 2:5 Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l' al benyen. Medam ki te avè l' yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l'.(Creole-HT) ======= Exodus 2:6 ============ Exo 2:6 And when she had opened it, she saw the child: and, behold, the babe wept. And she had compassion on him, and said, This is one of the Hebrews' children.(KJV-1611) Exo 2:6 Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l' fè l' mal pou li. Li di: -Se yonn nan timoun ebre yo.(Creole-HT) ======= Exodus 2:7 ============ Exo 2:7 Then said his sister to Pharaoh's daughter, Shall I go and call to thee a nurse of the Hebrew women, that she may nurse the child for thee?(KJV-1611) Exo 2:7 Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: -Eske ou vle m al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou?(Creole-HT) ======= Exodus 2:8 ============ Exo 2:8 And Pharaoh's daughter said to her, Go. And the maid went and called the child's mother.(KJV-1611) Exo 2:8 Fi Farawon an di li: -Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la.(Creole-HT) ======= Exodus 2:9 ============ Exo 2:9 And Pharaoh's daughter said unto her, Take this child away, and nurse it for me, and I will give thee thy wages. And the women took the child, and nursed it.(KJV-1611) Exo 2:9 Fi farawon an di manman an konsa: -Pran ti pitit sa a, mete l' nan tete pou mwen. m'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l' tete.(Creole-HT) ======= Exodus 2:10 ============ Exo 2:10 And the child grew, and she brought him unto Pharaoh's daughter, and he became her son. And she called his name Moses: and she said, Because I drew him out of the water.(KJV-1611) Exo 2:10 Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l' bay fi farawon an ki adopte l' pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: -Se nan dlo mwen wete l'. Se konsa, li rele l' Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 2:11 ============ Exo 2:11 And it came to pass in those days, when Moses was grown, that he went out unto his brethren, and looked on their burdens: and he spied an Egyptian smiting an Hebrew, one of his brethren.(KJV-1611) Exo 2:11 Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.(Creole-HT) ======= Exodus 2:12 ============ Exo 2:12 And he looked this way and that way, and when he saw that there was no man, he slew the Egyptian, and hid him in the sand.(KJV-1611) Exo 2:12 Li voye je l' adwat, li voye je l' agoch, li pa wè pesonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la.(Creole-HT) ======= Exodus 2:13 ============ Exo 2:13 And when he went out the second day, behold, two men of the Hebrews strove together: and he said to him that did the wrong, Wherefore smitest thou thy fellow?(KJV-1611) Exo 2:13 Nan denmen, li soti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: -Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa?(Creole-HT) ======= Exodus 2:14 ============ Exo 2:14 And he said, Who made thee a prince and a judge over us? intendest thou to kill me, as thou killedst the Egyptian? And Moses feared, and said, Surely this thing is known.(KJV-1611) Exo 2:14 Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a!(Creole-HT) ======= Exodus 2:15 ============ Exo 2:15 Now when Pharaoh heard this thing, he sought to slay Moses. But Moses fled from the face of Pharaoh, and dwelt in the land of Midian: and he sat down by a well.(KJV-1611) Exo 2:15 Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.(Creole-HT) ======= Exodus 2:16 ============ Exo 2:16 Now the priest of Midian had seven daughters: and they came and drew water, and filled the troughs to water their father's flock.(KJV-1611) Exo 2:16 Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 2:17 ============ Exo 2:17 And the shepherds came and drove them away: but Moses stood up and helped them, and watered their flock.(KJV-1611) Exo 2:17 Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 2:18 ============ Exo 2:18 And when they came to Reuel their father, he said, How is it that ye are come so soon to day?(KJV-1611) Exo 2:18 Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?(Creole-HT) ======= Exodus 2:19 ============ Exo 2:19 And they said, An Egyptian delivered us out of the hand of the shepherds, and also drew water enough for us, and watered the flock.(KJV-1611) Exo 2:19 Yo reponn li: -Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 2:20 ============ Exo 2:20 And he said unto his daughters, And where is he? why is it that ye have left the man? call him, that he may eat bread.(KJV-1611) Exo 2:20 Reouyèl mande pitit fi li yo: -Kote msye? Poukisa nou kite l' laba a? Al rele l' pou l' vin pran kichòy ak nou.(Creole-HT) ======= Exodus 2:21 ============ Exo 2:21 And Moses was content to dwell with the man: and he gave Moses Zipporah his daughter.(KJV-1611) Exo 2:21 Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm.(Creole-HT) ======= Exodus 2:22 ============ Exo 2:22 And she bare him a son, and he called his name Gershom: for he said, I have been a stranger in a strange land.(KJV-1611) Exo 2:22 Sefora fè yon ti gason. Lè sa a, Moyiz di: -Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa, li te rele pitit la Gèchon.(Creole-HT) ======= Exodus 2:23 ============ Exo 2:23 And it came to pass in process of time, that the king of Egypt died: and the children of Israel sighed by reason of the bondage, and they cried, and their cry came up unto God by reason of the bondage.(KJV-1611) Exo 2:23 Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.(Creole-HT) ======= Exodus 2:24 ============ Exo 2:24 And God heard their groaning, and God remembered his covenant with Abraham, with Isaac, and with Jacob.(KJV-1611) Exo 2:24 Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.(Creole-HT) ======= Exodus 2:25 ============ Exo 2:25 And God looked upon the children of Israel, and God had respect unto them.(KJV-1611) Exo 2:25 Bondye te wè nan ki sitiyasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l'.(Creole-HT) ======= Exodus 3:1 ============ Exo 3:1 Now Moses kept the flock of Jethro his father in law, the priest of Midian: and he led the flock to the backside of the desert, and came to the mountain of God, even to Horeb.(KJV-1611) Exo 3:1 Moyiz t'ap gade mouton ak kabrit Jetwo, bòpè li, ki te yon prèt nan peyi Madyan. Moyiz mennen bèt yo lòt bò dezè a. Li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 3:2 ============ Exo 3:2 And the angel of the LORD appeared unto him in a flame of fire out of the midst of a bush: and he looked, and, behold, the bush burned with fire, and the bush was not consumed.(KJV-1611) Exo 3:2 Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.(Creole-HT) ======= Exodus 3:3 ============ Exo 3:3 And Moses said, I will now turn aside, and see this great sight, why the bush is not burnt.(KJV-1611) Exo 3:3 Lè sa a, Moyiz di nan kè l': -Kite m' pwoche pi pre pou m' wè bagay dwòl sa a. Kouman touf bwa a fè pa boule?(Creole-HT) ======= Exodus 3:4 ============ Exo 3:4 And when the LORD saw that he turned aside to see, God called unto him out of the midst of the bush, and said, Moses, Moses. And he said, Here am I.(KJV-1611) Exo 3:4 Lè Seyè a wè Moyiz t'ap pwoche pou l' gade, li rete nan mitan touf bwa a, li rele l', li di: -Moyiz! Moyiz! Moyiz reponn: -Men mwen wi.(Creole-HT) ======= Exodus 3:5 ============ Exo 3:5 And he said, Draw not nigh hither: put off thy shoes from off thy feet, for the place whereon thou standest is holy ground.(KJV-1611) Exo 3:5 Bondye di: -Rete kote ou ye a. Pa pwoche. Wete sapat nan pye ou, paske kote ou kanpe a se yon tè ki apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 3:6 ============ Exo 3:6 Moreover he said, I am the God of thy father, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob. And Moses hid his face; for he was afraid to look upon God.(KJV-1611) Exo 3:6 Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 3:7 ============ Exo 3:7 And the LORD said, I have surely seen the affliction of my people which are in Egypt, and have heard their cry by reason of their taskmasters; for I know their sorrows;(KJV-1611) Exo 3:7 Seyè a di: -Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip. Mwen tande jan y'ap rele anba men moun k'ap peze yo. Wi, mwen konnen jan y'ap soufri.(Creole-HT) ======= Exodus 3:8 ============ Exo 3:8 And I am come down to deliver them out of the hand of the Egyptians, and to bring them up out of that land unto a good land and a large, unto a land flowing with milk and honey; unto the place of the Canaanites, and the Hittites, and the Amorites, and the Perizzites, and the Hivites, and the Jebusites.(KJV-1611) Exo 3:8 Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Exodus 3:9 ============ Exo 3:9 Now therefore, behold, the cry of the children of Israel is come unto me: and I have also seen the oppression wherewith the Egyptians oppress them.(KJV-1611) Exo 3:9 Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.(Creole-HT) ======= Exodus 3:10 ============ Exo 3:10 Come now therefore, and I will send thee unto Pharaoh, that thou mayest bring forth my people the children of Israel out of Egypt.(KJV-1611) Exo 3:10 Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 3:11 ============ Exo 3:11 And Moses said unto God, Who am I, that I should go unto Pharaoh, and that I should bring forth the children of Israel out of Egypt?(KJV-1611) Exo 3:11 Moyiz di Bondye: -Ki moun mwen ye menm pou m' ta penmèt mwen ale bò kot farawon an pou m' fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip?(Creole-HT) ======= Exodus 3:12 ============ Exo 3:12 And he said, Certainly I will be with thee; and this shall be a token unto thee, that I have sent thee: When thou hast brought forth the people out of Egypt, ye shall serve God upon this mountain.(KJV-1611) Exo 3:12 Bondye di l': -M'ap kanpe la avè ou. Lèfini, pou fè konnen se mwen menm ki voye ou, men sa w'a fè: lè w'a fin fè pèp la soti kite peyi Lejip, n'a sèvi m' sou mòn sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 3:13 ============ Exo 3:13 And Moses said unto God, Behold, when I come unto the children of Israel, and shall say unto them, The God of your fathers hath sent me unto you; and they shall say to me, What is his name? what shall I say unto them?(KJV-1611) Exo 3:13 Moyiz di Bondye konsa: -Bon. Koulye a, mwen pral bò kote pèp Izrayèl la, mwen pral di yo: Bondye zansèt nou yo voye m' kote nou. Ou mèt sèten yo pral mande m': Ki jan li rele? Lè sa a, kisa pou m' reponn yo?(Creole-HT) ======= Exodus 3:14 ============ Exo 3:14 And God said unto Moses, I AM THAT I AM: and he said, Thus shalt thou say unto the children of Israel, I AM hath sent me unto you.(KJV-1611) Exo 3:14 Bondye di Moyiz: -Sa m' ye a se sa m' ye. Apre sa li di ankò: -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Mwen menm ki rele sa m' ye a, se mwen menm ki voye ou bò kote yo.(Creole-HT) ======= Exodus 3:15 ============ Exo 3:15 And God said moreover unto Moses, Thus shalt thou say unto the children of Israel, the LORD God of your fathers, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob, hath sent me unto you: this is my name for ever, and this is my memorial unto all generations.(KJV-1611) Exo 3:15 Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.(Creole-HT) ======= Exodus 3:16 ============ Exo 3:16 Go, and gather the elders of Israel together, and say unto them, The LORD God of your fathers, the God of Abraham, of Isaac, and of Jacob, appeared unto me, saying, I have surely visited you, and seen that which is done to you in Egypt:(KJV-1611) Exo 3:16 Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.(Creole-HT) ======= Exodus 3:17 ============ Exo 3:17 And I have said, I will bring you up out of the affliction of Egypt unto the land of the Canaanites, and the Hittites, and the Amorites, and the Perizzites, and the Hivites, and the Jebusites, unto a land flowing with milk and honey.(KJV-1611) Exo 3:17 Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.(Creole-HT) ======= Exodus 3:18 ============ Exo 3:18 And they shall hearken to thy voice: and thou shalt come, thou and the elders of Israel, unto the king of Egypt, and ye shall say unto him, The LORD God of the Hebrews hath met with us: and now let us go, we beseech thee, three days' journey into the wilderness, that we may sacrifice to the LORD our God.(KJV-1611) Exo 3:18 Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 3:19 ============ Exo 3:19 And I am sure that the king of Egypt will not let you go, no, not by a mighty hand.(KJV-1611) Exo 3:19 Mwen konnen wa peyi Lejip la p'ap kite nou ale, si yo pa fòse l'.(Creole-HT) ======= Exodus 3:20 ============ Exo 3:20 And I will stretch out my hand, and smite Egypt with all my wonders which I will do in the midst thereof: and after that he will let you go.(KJV-1611) Exo 3:20 Se poutèt sa, m'ap lonje men m', m'ap frape peyi Lejip. M'ap fè tout kalite mirak nan peyi a. Apre sa, l'a kite nou ale.(Creole-HT) ======= Exodus 3:21 ============ Exo 3:21 And I will give this people favour in the sight of the Egyptians: and it shall come to pass, that, when ye go, ye shall not go empty.(KJV-1611) Exo 3:21 m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou.(Creole-HT) ======= Exodus 3:22 ============ Exo 3:22 But every woman shall borrow of her neighbour, and of her that sojourneth in her house, jewels of silver, and jewels of gold, and raiment: and ye shall put them upon your sons, and upon your daughters; and ye shall spoil the Egyptians.(KJV-1611) Exo 3:22 Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen.(Creole-HT) ======= Exodus 4:1 ============ Exo 4:1 And Moses answered and said, But, behold, they will not believe me, nor hearken unto my voice: for they will say, The LORD hath not appeared unto thee.(KJV-1611) Exo 4:1 Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 4:2 ============ Exo 4:2 And the LORD said unto him, What is that in thine hand? And he said, A rod.(KJV-1611) Exo 4:2 Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.(Creole-HT) ======= Exodus 4:3 ============ Exo 4:3 And he said, Cast it on the ground. And he cast it on the ground, and it became a serpent; and Moses fled from before it.(KJV-1611) Exo 4:3 Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri.(Creole-HT) ======= Exodus 4:4 ============ Exo 4:4 And the LORD said unto Moses, Put forth thine hand, and take it by the tail. And he put forth his hand, and caught it, and it became a rod in his hand:(KJV-1611) Exo 4:4 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 4:5 ============ Exo 4:5 That they may believe that the LORD God of their fathers, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob, hath appeared unto thee.(KJV-1611) Exo 4:5 Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.(Creole-HT) ======= Exodus 4:6 ============ Exo 4:6 And the LORD said furthermore unto him, Put now thine hand into thy bosom. And he put his hand into his bosom: and when he took it out, behold, his hand was leprous as snow.(KJV-1611) Exo 4:6 Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp.(Creole-HT) ======= Exodus 4:7 ============ Exo 4:7 And he said, Put thine hand into thy bosom again. And he put his hand into his bosom again; and plucked it out of his bosom, and, behold, it was turned again as his other flesh.(KJV-1611) Exo 4:7 Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li.(Creole-HT) ======= Exodus 4:8 ============ Exo 4:8 And it shall come to pass, if they will not believe thee, neither hearken to the voice of the first sign, that they will believe the voice of the latter sign.(KJV-1611) Exo 4:8 Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 4:9 ============ Exo 4:9 And it shall come to pass, if they will not believe also these two signs, neither hearken unto thy voice, that thou shalt take of the water of the river, and pour it upon the dry land: and the water which thou takest out of the river shall become blood upon the dry land.(KJV-1611) Exo 4:9 Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san.(Creole-HT) ======= Exodus 4:10 ============ Exo 4:10 And Moses said unto the LORD, O my LORD, I am not eloquent, neither heretofore, nor since thou hast spoken unto thy servant: but I am slow of speech, and of a slow tongue.(KJV-1611) Exo 4:10 Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.(Creole-HT) ======= Exodus 4:11 ============ Exo 4:11 And the LORD said unto him, Who hath made man's mouth? or who maketh the dumb, or deaf, or the seeing, or the blind? have not I the LORD?(KJV-1611) Exo 4:11 Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?(Creole-HT) ======= Exodus 4:12 ============ Exo 4:12 Now therefore go, and I will be with thy mouth, and teach thee what thou shalt say.(KJV-1611) Exo 4:12 Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.(Creole-HT) ======= Exodus 4:13 ============ Exo 4:13 And he said, O my LORD, send, I pray thee, by the hand of him whom thou wilt send.(KJV-1611) Exo 4:13 Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?(Creole-HT) ======= Exodus 4:14 ============ Exo 4:14 And the anger of the LORD was kindled against Moses, and he said, Is not Aaron the Levite thy brother? I know that he can speak well. And also, behold, he cometh forth to meet thee: and when he seeth thee, he will be glad in his heart.(KJV-1611) Exo 4:14 Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou.(Creole-HT) ======= Exodus 4:15 ============ Exo 4:15 And thou shalt speak unto him, and put words in his mouth: and I will be with thy mouth, and with his mouth, and will teach you what ye shall do.(KJV-1611) Exo 4:15 W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè.(Creole-HT) ======= Exodus 4:16 ============ Exo 4:16 And he shall be thy spokesman unto the people: and he shall be, even he shall be to thee instead of a mouth, and thou shalt be to him instead of God.(KJV-1611) Exo 4:16 L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.(Creole-HT) ======= Exodus 4:17 ============ Exo 4:17 And thou shalt take this rod in thine hand, wherewith thou shalt do signs.(KJV-1611) Exo 4:17 Kanta baton sa a, toujou kenbe l' nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 4:18 ============ Exo 4:18 And Moses went and returned to Jethro his father in law, and said unto him, Let me go, I pray thee, and return unto my brethren which are in Egypt, and see whether they be yet alive. And Jethro said to Moses, Go in peace.(KJV-1611) Exo 4:18 Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.(Creole-HT) ======= Exodus 4:19 ============ Exo 4:19 And the LORD said unto Moses in Midian, Go, return into Egypt: for all the men are dead which sought thy life.(KJV-1611) Exo 4:19 Antan Moyiz nan peyi Madyan, Seyè a di l': -Koulye a, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 4:20 ============ Exo 4:20 And Moses took his wife and his sons, and set them upon an ass, and he returned to the land of Egypt: and Moses took the rod of God in his hand.(KJV-1611) Exo 4:20 Moyiz pran madanm li ak pitit gason l' yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l'.(Creole-HT) ======= Exodus 4:21 ============ Exo 4:21 And the LORD said unto Moses, When thou goest to return into Egypt, see that thou do all those wonders before Pharaoh, which I have put in thine hand: but I will harden his heart, that he shall not let the people go.(KJV-1611) Exo 4:21 Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.(Creole-HT) ======= Exodus 4:22 ============ Exo 4:22 And thou shalt say unto Pharaoh, Thus saith the LORD, Israel is my son, even my firstborn:(KJV-1611) Exo 4:22 W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 4:23 ============ Exo 4:23 And I say unto thee, Let my son go, that he may serve me: and if thou refuse to let him go, behold, I will slay thy son, even thy firstborn.(KJV-1611) Exo 4:23 Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= Exodus 4:24 ============ Exo 4:24 And it came to pass by the way in the inn, that the LORD met him, and sought to kill him.(KJV-1611) Exo 4:24 Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 4:25 ============ Exo 4:25 Then Zipporah took a sharp stone, and cut off the foreskin of her son, and cast it at his feet, and said, Surely a bloody husband art thou to me.(KJV-1611) Exo 4:25 Sefora pran yon moso ròch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l' lan, li voye l' jete nan pye Moyiz. Epi li di: -Se yon mari san ou ye pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 4:26 ============ Exo 4:26 So he let him go: then she said, A bloody husband thou art, because of the circumcision.(KJV-1611) Exo 4:26 Apre sa, Seyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 4:27 ============ Exo 4:27 And the LORD said to Aaron, Go into the wilderness to meet Moses. And he went, and met him in the mount of God, and kissed him.(KJV-1611) Exo 4:27 Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l' nan kou l'.(Creole-HT) ======= Exodus 4:28 ============ Exo 4:28 And Moses told Aaron all the words of the LORD who had sent him, and all the signs which he had commanded him.(KJV-1611) Exo 4:28 Moyiz di Arawon tou sa Seyè a te di l' anvan li te voye l' la. Li fè l' konnen tout mirak Seyè a te ba li lòd fè.(Creole-HT) ======= Exodus 4:29 ============ Exo 4:29 And Moses and Aaron went and gathered together all the elders of the children of Israel:(KJV-1611) Exo 4:29 Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 4:30 ============ Exo 4:30 And Aaron spake all the words which the LORD had spoken unto Moses, and did the signs in the sight of the people.(KJV-1611) Exo 4:30 Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 4:31 ============ Exo 4:31 And the people believed: and when they heard that the LORD had visited the children of Israel, and that he had looked upon their affliction, then they bowed their heads and worshipped.(KJV-1611) Exo 4:31 Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 5:1 ============ Exo 5:1 And afterward Moses and Aaron went in, and told Pharaoh, Thus saith the LORD God of Israel, Let my people go, that they may hold a feast unto me in the wilderness.(KJV-1611) Exo 5:1 Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.(Creole-HT) ======= Exodus 5:2 ============ Exo 5:2 And Pharaoh said, Who is the LORD, that I should obey his voice to let Israel go? I know not the LORD, neither will I let Israel go.(KJV-1611) Exo 5:2 Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.(Creole-HT) ======= Exodus 5:3 ============ Exo 5:3 And they said, The God of the Hebrews hath met with us: let us go, we pray thee, three days' journey into the desert, and sacrifice unto the LORD our God; lest he fall upon us with pestilence, or with the sword.(KJV-1611) Exo 5:3 Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Exodus 5:4 ============ Exo 5:4 And the king of Egypt said unto them, Wherefore do ye, Moses and Aaron, let the people from their works? get you unto your burdens.(KJV-1611) Exo 5:4 Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!(Creole-HT) ======= Exodus 5:5 ============ Exo 5:5 And Pharaoh said, Behold, the people of the land now are many, and ye make them rest from their burdens.(KJV-1611) Exo 5:5 Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo?(Creole-HT) ======= Exodus 5:6 ============ Exo 5:6 And Pharaoh commanded the same day the taskmasters of the people, and their officers, saying,(KJV-1611) Exo 5:6 Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:(Creole-HT) ======= Exodus 5:7 ============ Exo 5:7 Ye shall no more give the people straw to make brick, as heretofore: let them go and gather straw for themselves.(KJV-1611) Exo 5:7 -Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen.(Creole-HT) ======= Exodus 5:8 ============ Exo 5:8 And the tale of the bricks, which they did make heretofore, ye shall lay upon them; ye shall not diminish ought thereof: for they be idle; therefore they cry, saying, Let us go and sacrifice to our God.(KJV-1611) Exo 5:8 Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 5:9 ============ Exo 5:9 Let there more work be laid upon the men, that they may labour therein; and let them not regard vain words.(KJV-1611) Exo 5:9 Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo.(Creole-HT) ======= Exodus 5:10 ============ Exo 5:10 And the taskmasters of the people went out, and their officers, and they spake to the people, saying, Thus saith Pharaoh, I will not give you straw.(KJV-1611) Exo 5:10 Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 5:11 ============ Exo 5:11 Go ye, get you straw where ye can find it: yet not ought of your work shall be diminished.(KJV-1611) Exo 5:11 Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay.(Creole-HT) ======= Exodus 5:12 ============ Exo 5:12 So the people were scattered abroad throughout all the land of Egypt to gather stubble instead of straw.(KJV-1611) Exo 5:12 Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay.(Creole-HT) ======= Exodus 5:13 ============ Exo 5:13 And the taskmasters hasted them, saying, Fulfil your works, your daily tasks, as when there was straw.(KJV-1611) Exo 5:13 Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la.(Creole-HT) ======= Exodus 5:14 ============ Exo 5:14 And the officers of the children of Israel, which Pharaoh's taskmasters had set over them, were beaten, and demanded, Wherefore have ye not fulfilled your task in making brick both yesterday and to day, as heretofore?(KJV-1611) Exo 5:14 Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an?(Creole-HT) ======= Exodus 5:15 ============ Exo 5:15 Then the officers of the children of Israel came and cried unto Pharaoh, saying, Wherefore dealest thou thus with thy servants?(KJV-1611) Exo 5:15 Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa?(Creole-HT) ======= Exodus 5:16 ============ Exo 5:16 There is no straw given unto thy servants, and they say to us, Make brick: and, behold, thy servants are beaten; but the fault is in thine own people.(KJV-1611) Exo 5:16 Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa.(Creole-HT) ======= Exodus 5:17 ============ Exo 5:17 But he said, Ye are idle, ye are idle: therefore ye say, Let us go and do sacrifice to the LORD.(KJV-1611) Exo 5:17 Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bèt pou nou touye bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 5:18 ============ Exo 5:18 Go therefore now, and work; for there shall no straw be given you, yet shall ye deliver the tale of bricks.(KJV-1611) Exo 5:18 Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la.(Creole-HT) ======= Exodus 5:19 ============ Exo 5:19 And the officers of the children of Israel did see that they were in evil case, after it was said, Ye shall not minish ought from your bricks of your daily task.(KJV-1611) Exo 5:19 Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitiyasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn.(Creole-HT) ======= Exodus 5:20 ============ Exo 5:20 And they met Moses and Aaron, who stood in the way, as they came forth from Pharaoh:(KJV-1611) Exo 5:20 Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo.(Creole-HT) ======= Exodus 5:21 ============ Exo 5:21 And they said unto them, The LORD look upon you, and judge; because ye have made our savour to be abhorred in the eyes of Pharaoh, and in the eyes of his servants, to put a sword in their hand to slay us.(KJV-1611) Exo 5:21 Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 5:22 ============ Exo 5:22 And Moses returned unto the LORD, and said, LORD, wherefore hast thou so evil entreated this people? why is it that thou hast sent me?(KJV-1611) Exo 5:22 Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'?(Creole-HT) ======= Exodus 5:23 ============ Exo 5:23 For since I came to Pharaoh to speak in thy name, he hath done evil to this people; neither hast thou delivered thy people at all.(KJV-1611) Exo 5:23 Depi menm lè mwen t al bò kote farawon an pou m' pale avè l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 6:1 ============ Exo 6:1 Then the LORD said unto Moses, Now shalt thou see what I will do to Pharaoh: for with a strong hand shall he let them go, and with a strong hand shall he drive them out of his land.(KJV-1611) Exo 6:1 Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:2 ============ Exo 6:2 And God spake unto Moses, and said unto him, I am the LORD:(KJV-1611) Exo 6:2 Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:3 ============ Exo 6:3 And I appeared unto Abraham, unto Isaac, and unto Jacob, by the name of God Almighty, but by my name JEHOVAH was I not known to them.(KJV-1611) Exo 6:3 Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:4 ============ Exo 6:4 And I have also established my covenant with them, to give them the land of Canaan, the land of their pilgrimage, wherein they were strangers.(KJV-1611) Exo 6:4 Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:5 ============ Exo 6:5 And I have also heard the groaning of the children of Israel, whom the Egyptians keep in bondage; and I have remembered my covenant.(KJV-1611) Exo 6:5 Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:6 ============ Exo 6:6 Wherefore say unto the children of Israel, I am the LORD, and I will bring you out from under the burdens of the Egyptians, and I will rid you out of their bondage, and I will redeem you with a stretched out arm, and with great judgments:(KJV-1611) Exo 6:6 Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.(Creole-HT) ======= Exodus 6:7 ============ Exo 6:7 And I will take you to me for a people, and I will be to you a God: and ye shall know that I am the LORD your God, which bringeth you out from under the burdens of the Egyptians.(KJV-1611) Exo 6:7 M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 6:8 ============ Exo 6:8 And I will bring you in unto the land, concerning the which I did swear to give it to Abraham, to Isaac, and to Jacob; and I will give it you for an heritage: I am the LORD.(KJV-1611) Exo 6:8 Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.(Creole-HT) ======= Exodus 6:9 ============ Exo 6:9 And Moses spake so unto the children of Israel: but they hearkened not unto Moses for anguish of spirit, and for cruel bondage.(KJV-1611) Exo 6:9 Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 6:10 ============ Exo 6:10 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 6:10 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 6:11 ============ Exo 6:11 Go in, speak unto Pharaoh king of Egypt, that he let the children of Israel go out of his land.(KJV-1611) Exo 6:11 -Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 6:12 ============ Exo 6:12 And Moses spake before the LORD, saying, Behold, the children of Israel have not hearkened unto me; how then shall Pharaoh hear me, who am of uncircumcised lips?(KJV-1611) Exo 6:12 Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale.(Creole-HT) ======= Exodus 6:13 ============ Exo 6:13 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, and gave them a charge unto the children of Israel, and unto Pharaoh king of Egypt, to bring the children of Israel out of the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 6:13 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 6:14 ============ Exo 6:14 These be the heads of their fathers' houses: The sons of Reuben the firstborn of Israel; Hanoch, and Pallu, Hezron, and Carmi: these be the families of Reuben.(KJV-1611) Exo 6:14 Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa.(Creole-HT) ======= Exodus 6:15 ============ Exo 6:15 And the sons of Simeon; Jemuel, and Jamin, and Ohad, and Jachin, and Zohar, and Shaul the son of a Canaanitish woman: these are the families of Simeon.(KJV-1611) Exo 6:15 Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa.(Creole-HT) ======= Exodus 6:16 ============ Exo 6:16 And these are the names of the sons of Levi according to their generations; Gershon, and Kohath, and Merari: and the years of the life of Levi were an hundred thirty and seven years.(KJV-1611) Exo 6:16 Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan .(Creole-HT) ======= Exodus 6:17 ============ Exo 6:17 The sons of Gershon; Libni, and Shimi, according to their families.(KJV-1611) Exo 6:17 Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi.(Creole-HT) ======= Exodus 6:18 ============ Exo 6:18 And the sons of Kohath; Amram, and Izhar, and Hebron, and Uzziel: and the years of the life of Kohath were an hundred thirty and three years.(KJV-1611) Exo 6:18 Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan .(Creole-HT) ======= Exodus 6:19 ============ Exo 6:19 And the sons of Merari; Mahali and Mushi: these are the families of Levi according to their generations.(KJV-1611) Exo 6:19 Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo.(Creole-HT) ======= Exodus 6:20 ============ Exo 6:20 And Amram took him Jochebed his father's sister to wife; and she bare him Aaron and Moses: and the years of the life of Amram were an hundred and thirty and seven years.(KJV-1611) Exo 6:20 Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan .(Creole-HT) ======= Exodus 6:21 ============ Exo 6:21 And the sons of Izhar; Korah, and Nepheg, and Zichri.(KJV-1611) Exo 6:21 Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri.(Creole-HT) ======= Exodus 6:22 ============ Exo 6:22 And the sons of Uzziel; Mishael, and Elzaphan, and Zithri.(KJV-1611) Exo 6:22 Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri.(Creole-HT) ======= Exodus 6:23 ============ Exo 6:23 And Aaron took him Elisheba, daughter of Amminadab, sister of Naashon, to wife; and she bare him Nadab, and Abihu, Eleazar, and Ithamar.(KJV-1611) Exo 6:23 Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.(Creole-HT) ======= Exodus 6:24 ============ Exo 6:24 And the sons of Korah; Assir, and Elkanah, and Abiasaph: these are the families of the Korhites.(KJV-1611) Exo 6:24 Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.(Creole-HT) ======= Exodus 6:25 ============ Exo 6:25 And Eleazar Aaron's son took him one of the daughters of Putiel to wife; and she bare him Phinehas: these are the heads of the fathers of the Levites according to their families.(KJV-1611) Exo 6:25 Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 6:26 ============ Exo 6:26 These are that Aaron and Moses, to whom the LORD said, Bring out the children of Israel from the land of Egypt according to their armies.(KJV-1611) Exo 6:26 Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup.(Creole-HT) ======= Exodus 6:27 ============ Exo 6:27 These are they which spake to Pharaoh king of Egypt, to bring out the children of Israel from Egypt: these are that Moses and Aaron.(KJV-1611) Exo 6:27 Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.(Creole-HT) ======= Exodus 6:28 ============ Exo 6:28 And it came to pass on the day when the LORD spake unto Moses in the land of Egypt,(KJV-1611) Exo 6:28 Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l':(Creole-HT) ======= Exodus 6:29 ============ Exo 6:29 That the LORD spake unto Moses, saying, I am the LORD: speak thou unto Pharaoh king of Egypt all that I say unto thee.(KJV-1611) Exo 6:29 -Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 6:30 ============ Exo 6:30 And Moses said before the LORD, Behold, I am of uncircumcised lips, and how shall Pharaoh hearken unto me?(KJV-1611) Exo 6:30 Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'?(Creole-HT) ======= Exodus 7:1 ============ Exo 7:1 And the LORD said unto Moses, See, I have made thee a god to Pharaoh: and Aaron thy brother shall be thy prophet.(KJV-1611) Exo 7:1 Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.(Creole-HT) ======= Exodus 7:2 ============ Exo 7:2 Thou shalt speak all that I command thee: and Aaron thy brother shall speak unto Pharaoh, that he send the children of Israel out of his land.(KJV-1611) Exo 7:2 W'a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l'a repete l' bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:3 ============ Exo 7:3 And I will harden Pharaoh's heart, and multiply my signs and my wonders in the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 7:3 Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 7:4 ============ Exo 7:4 But Pharaoh shall not hearken unto you, that I may lay my hand upon Egypt, and bring forth mine armies, and my people the children of Israel, out of the land of Egypt by great judgments.(KJV-1611) Exo 7:4 Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 7:5 ============ Exo 7:5 And the Egyptians shall know that I am the LORD, when I stretch forth mine hand upon Egypt, and bring out the children of Israel from among them.(KJV-1611) Exo 7:5 Lè m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre.(Creole-HT) ======= Exodus 7:6 ============ Exo 7:6 And Moses and Aaron did as the LORD commanded them, so did they.(KJV-1611) Exo 7:6 Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:7 ============ Exo 7:7 And Moses was fourscore years old, and Aaron fourscore and three years old, when they spake unto Pharaoh.(KJV-1611) Exo 7:7 Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an.(Creole-HT) ======= Exodus 7:8 ============ Exo 7:8 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Exo 7:8 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 7:9 ============ Exo 7:9 When Pharaoh shall speak unto you, saying, Shew a miracle for you: then thou shalt say unto Aaron, Take thy rod, and cast it before Pharaoh, and it shall become a serpent.(KJV-1611) Exo 7:9 -Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv.(Creole-HT) ======= Exodus 7:10 ============ Exo 7:10 And Moses and Aaron went in unto Pharaoh, and they did so as the LORD had commanded: and Aaron cast down his rod before Pharaoh, and before his servants, and it became a serpent.(KJV-1611) Exo 7:10 Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.(Creole-HT) ======= Exodus 7:11 ============ Exo 7:11 Then Pharaoh also called the wise men and the sorcerers: now the magicians of Egypt, they also did in like manner with their enchantments.(KJV-1611) Exo 7:11 Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Exodus 7:12 ============ Exo 7:12 For they cast down every man his rod, and they became serpents: but Aaron's rod swallowed up their rods.(KJV-1611) Exo 7:12 Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.(Creole-HT) ======= Exodus 7:13 ============ Exo 7:13 And he hardened Pharaoh's heart, that he hearkened not unto them; as the LORD had said.(KJV-1611) Exo 7:13 Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:14 ============ Exo 7:14 And the LORD said unto Moses, Pharaoh's heart is hardened, he refuseth to let the people go.(KJV-1611) Exo 7:14 Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.(Creole-HT) ======= Exodus 7:15 ============ Exo 7:15 Get thee unto Pharaoh in the morning; lo, he goeth out unto the water; and thou shalt stand by the river's brink against he come; and the rod which was turned to a serpent shalt thou take in thine hand.(KJV-1611) Exo 7:15 Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou.(Creole-HT) ======= Exodus 7:16 ============ Exo 7:16 And thou shalt say unto him, The LORD God of the Hebrews hath sent me unto thee, saying, Let my people go, that they may serve me in the wilderness: and, behold, hitherto thou wouldest not hear.(KJV-1611) Exo 7:16 W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'.(Creole-HT) ======= Exodus 7:17 ============ Exo 7:17 Thus saith the LORD, In this thou shalt know that I am the LORD: behold, I will smite with the rod that is in mine hand upon the waters which are in the river, and they shall be turned to blood.(KJV-1611) Exo 7:17 Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san.(Creole-HT) ======= Exodus 7:18 ============ Exo 7:18 And the fish that is in the river shall die, and the river shall stink; and the Egyptians shall lothe to drink of the water of the river.(KJV-1611) Exo 7:18 Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 7:19 ============ Exo 7:19 And the LORD spake unto Moses, Say unto Aaron, Take thy rod, and stretch out thine hand upon the waters of Egypt, upon their streams, upon their rivers, and upon their ponds, and upon all their pools of water, that they may become blood; and that there may be blood throughout all the land of Egypt, both in vessels of wood, and in vessels of stone.(KJV-1611) Exo 7:19 Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.(Creole-HT) ======= Exodus 7:20 ============ Exo 7:20 And Moses and Aaron did so, as the LORD commanded; and he lifted up the rod, and smote the waters that were in the river, in the sight of Pharaoh, and in the sight of his servants; and all the waters that were in the river were turned to blood.(KJV-1611) Exo 7:20 Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.(Creole-HT) ======= Exodus 7:21 ============ Exo 7:21 And the fish that was in the river died; and the river stank, and the Egyptians could not drink of the water of the river; and there was blood throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 7:21 Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:22 ============ Exo 7:22 And the magicians of Egypt did so with their enchantments: and Pharaoh's heart was hardened, neither did he hearken unto them; as the LORD had said.(KJV-1611) Exo 7:22 Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:23 ============ Exo 7:23 And Pharaoh turned and went into his house, neither did he set his heart to this also.(KJV-1611) Exo 7:23 Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive.(Creole-HT) ======= Exodus 7:24 ============ Exo 7:24 And all the Egyptians digged round about the river for water to drink; for they could not drink of the water of the river.(KJV-1611) Exo 7:24 Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t' kapab bwè dlo gwo larivyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 7:25 ============ Exo 7:25 And seven days were fulfilled, after that the LORD had smitten the river.(KJV-1611) Exo 7:25 Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.(Creole-HT) ======= Exodus 8:1 ============ Exo 8:1 And the LORD spake unto Moses, Go unto Pharaoh, and say unto him, Thus saith the LORD, Let my people go, that they may serve me.(KJV-1611) Exo 8:1 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 8:2 ============ Exo 8:2 And if thou refuse to let them go, behold, I will smite all thy borders with frogs:(KJV-1611) Exo 8:2 Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou.(Creole-HT) ======= Exodus 8:3 ============ Exo 8:3 And the river shall bring forth frogs abundantly, which shall go up and come into thine house, and into thy bedchamber, and upon thy bed, and into the house of thy servants, and upon thy people, and into thine ovens, and into thy kneadingtroughs:(KJV-1611) Exo 8:3 Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat.(Creole-HT) ======= Exodus 8:4 ============ Exo 8:4 And the frogs shall come up both on thee, and upon thy people, and upon all thy servants.(KJV-1611) Exo 8:4 Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 8:5 ============ Exo 8:5 And the LORD spake unto Moses, Say unto Aaron, Stretch forth thine hand with thy rod over the streams, over the rivers, and over the ponds, and cause frogs to come up upon the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 8:5 Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 8:6 ============ Exo 8:6 And Aaron stretched out his hand over the waters of Egypt; and the frogs came up, and covered the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 8:6 Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:7 ============ Exo 8:7 And the magicians did so with their enchantments, and brought up frogs upon the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 8:7 Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 8:8 ============ Exo 8:8 Then Pharaoh called for Moses and Aaron, and said, Intreat the LORD, that he may take away the frogs from me, and from my people; and I will let the people go, that they may do sacrifice unto the LORD.(KJV-1611) Exo 8:8 Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:9 ============ Exo 8:9 And Moses said unto Pharaoh, Glory over me: when shall I intreat for thee, and for thy servants, and for thy people, to destroy the frogs from thee and thy houses, that they may remain in the river only?(KJV-1611) Exo 8:9 Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase.(Creole-HT) ======= Exodus 8:10 ============ Exo 8:10 And he said, To morrow. And he said, Be it according to thy word: that thou mayest know that there is none like unto the LORD our God.(KJV-1611) Exo 8:10 Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 8:11 ============ Exo 8:11 And the frogs shall depart from thee, and from thy houses, and from thy servants, and from thy people; they shall remain in the river only.(KJV-1611) Exo 8:11 Krapo yo pral soti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo.(Creole-HT) ======= Exodus 8:12 ============ Exo 8:12 And Moses and Aaron went out from Pharaoh: and Moses cried unto the LORD because of the frogs which he had brought against Pharaoh.(KJV-1611) Exo 8:12 Moyiz ak Arawon soti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Seyè a ak tout kè l' pou krapo li te voye sou farawon yo.(Creole-HT) ======= Exodus 8:13 ============ Exo 8:13 And the LORD did according to the word of Moses; and the frogs died out of the houses, out of the villages, and out of the fields.(KJV-1611) Exo 8:13 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden.(Creole-HT) ======= Exodus 8:14 ============ Exo 8:14 And they gathered them together upon heaps: and the land stank.(KJV-1611) Exo 8:14 Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo.(Creole-HT) ======= Exodus 8:15 ============ Exo 8:15 But when Pharaoh saw that there was respite, he hardened his heart, and hearkened not unto them; as the LORD had said.(KJV-1611) Exo 8:15 Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:16 ============ Exo 8:16 And the LORD said unto Moses, Say unto Aaron, Stretch out thy rod, and smite the dust of the land, that it may become lice throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 8:16 Seyè a di Moyiz konsa: -Di Arawon lonje baton l' lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 8:17 ============ Exo 8:17 And they did so; for Aaron stretched out his hand with his rod, and smote the dust of the earth, and it became lice in man, and in beast; all the dust of the land became lice throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 8:17 Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 8:18 ============ Exo 8:18 And the magicians did so with their enchantments to bring forth lice, but they could not: so there were lice upon man, and upon beast.(KJV-1611) Exo 8:18 Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt.(Creole-HT) ======= Exodus 8:19 ============ Exo 8:19 Then the magicians said unto Pharaoh, This is the finger of God: and Pharaoh's heart was hardened, and he hearkened not unto them; as the LORD had said.(KJV-1611) Exo 8:19 Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:20 ============ Exo 8:20 And the LORD said unto Moses, Rise up early in the morning, and stand before Pharaoh; lo, he cometh forth to the water; and say unto him, Thus saith the LORD, Let my people go, that they may serve me.(KJV-1611) Exo 8:20 Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 8:21 ============ Exo 8:21 Else, if thou wilt not let my people go, behold, I will send swarms of flies upon thee, and upon thy servants, and upon thy people, and into thy houses: and the houses of the Egyptians shall be full of swarms of flies, and also the ground whereon they are.(KJV-1611) Exo 8:21 Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:22 ============ Exo 8:22 And I will sever in that day the land of Goshen, in which my people dwell, that no swarms of flies shall be there; to the end thou mayest know that I am the LORD in the midst of the earth.(KJV-1611) Exo 8:22 Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:23 ============ Exo 8:23 And I will put a division between my people and thy people: to morrow shall this sign be.(KJV-1611) Exo 8:23 m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:24 ============ Exo 8:24 And the LORD did so; and there came a grievous swarm of flies into the house of Pharaoh, and into his servants' houses, and into all the land of Egypt: the land was corrupted by reason of the swarm of flies.(KJV-1611) Exo 8:24 Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 8:25 ============ Exo 8:25 And Pharaoh called for Moses and for Aaron, and said, Go ye, sacrifice to your God in the land.(KJV-1611) Exo 8:25 Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:26 ============ Exo 8:26 And Moses said, It is not meet so to do; for we shall sacrifice the abomination of the Egyptians to the LORD our God: lo, shall we sacrifice the abomination of the Egyptians before their eyes, and will they not stone us?(KJV-1611) Exo 8:26 Moyiz reponn li: -Li p'ap bon pou nou fè l' konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout ròch.(Creole-HT) ======= Exodus 8:27 ============ Exo 8:27 We will go three days' journey into the wilderness, and sacrifice to the LORD our God, as he shall command us.(KJV-1611) Exo 8:27 Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 8:28 ============ Exo 8:28 And Pharaoh said, I will let you go, that ye may sacrifice to the LORD your God in the wilderness; only ye shall not go very far away: intreat for me.(KJV-1611) Exo 8:28 Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.(Creole-HT) ======= Exodus 8:29 ============ Exo 8:29 And Moses said, Behold, I go out from thee, and I will intreat the LORD that the swarms of flies may depart from Pharaoh, from his servants, and from his people, to morrow: but let not Pharaoh deal deceitfully any more in not letting the people go to sacrifice to the LORD.(KJV-1611) Exo 8:29 Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:30 ============ Exo 8:30 And Moses went out from Pharaoh, and intreated the LORD.(KJV-1611) Exo 8:30 Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 8:31 ============ Exo 8:31 And the LORD did according to the word of Moses; and he removed the swarms of flies from Pharaoh, from his servants, and from his people; there remained not one.(KJV-1611) Exo 8:31 Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la. Li fè mouchavè yo soti sou farawon an, sou tout moun pa l' yo ansanm ak sou tout pèp la. Li fè yo ale byen lwen. Pa yon mouchavè pa t' rete.(Creole-HT) ======= Exodus 8:32 ============ Exo 8:32 And Pharaoh hardened his heart at this time also, neither would he let the people go.(KJV-1611) Exo 8:32 Men, menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pa t' vle kite pèp la ale.(Creole-HT) ======= Exodus 9:1 ============ Exo 9:1 Then the LORD said unto Moses, Go in unto Pharaoh, and tell him, Thus saith the LORD God of the Hebrews, Let my people go, that they may serve me.(KJV-1611) Exo 9:1 Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 9:2 ============ Exo 9:2 For if thou refuse to let them go, and wilt hold them still,(KJV-1611) Exo 9:2 Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive:(Creole-HT) ======= Exodus 9:3 ============ Exo 9:3 Behold, the hand of the LORD is upon thy cattle which is in the field, upon the horses, upon the asses, upon the camels, upon the oxen, and upon the sheep: there shall be a very grievous murrain.(KJV-1611) Exo 9:3 M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 9:4 ============ Exo 9:4 And the LORD shall sever between the cattle of Israel and the cattle of Egypt: and there shall nothing die of all that is the children's of Israel.(KJV-1611) Exo 9:4 Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 9:5 ============ Exo 9:5 And the LORD appointed a set time, saying, To morrow the LORD shall do this thing in the land.(KJV-1611) Exo 9:5 Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 9:6 ============ Exo 9:6 And the LORD did that thing on the morrow, and all the cattle of Egypt died: but of the cattle of the children of Israel died not one.(KJV-1611) Exo 9:6 Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 9:7 ============ Exo 9:7 And Pharaoh sent, and, behold, there was not one of the cattle of the Israelites dead. And the heart of Pharaoh was hardened, and he did not let the people go.(KJV-1611) Exo 9:7 Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale.(Creole-HT) ======= Exodus 9:8 ============ Exo 9:8 And the LORD said unto Moses and unto Aaron, Take to you handfuls of ashes of the furnace, and let Moses sprinkle it toward the heaven in the sight of Pharaoh.(KJV-1611) Exo 9:8 Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an.(Creole-HT) ======= Exodus 9:9 ============ Exo 9:9 And it shall become small dust in all the land of Egypt, and shall be a boil breaking forth with blains upon man, and upon beast, throughout all the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 9:9 Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng.(Creole-HT) ======= Exodus 9:10 ============ Exo 9:10 And they took ashes of the furnace, and stood before Pharaoh; and Moses sprinkled it up toward heaven; and it became a boil breaking forth with blains upon man, and upon beast.(KJV-1611) Exo 9:10 Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng.(Creole-HT) ======= Exodus 9:11 ============ Exo 9:11 And the magicians could not stand before Moses because of the boils; for the boil was upon the magicians, and upon all the Egyptians.(KJV-1611) Exo 9:11 Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Exodus 9:12 ============ Exo 9:12 And the LORD hardened the heart of Pharaoh, and he hearkened not unto them; as the LORD had spoken unto Moses.(KJV-1611) Exo 9:12 Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la.(Creole-HT) ======= Exodus 9:13 ============ Exo 9:13 And the LORD said unto Moses, Rise up early in the morning, and stand before Pharaoh, and say unto him, Thus saith the LORD God of the Hebrews, Let my people go, that they may serve me.(KJV-1611) Exo 9:13 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 9:14 ============ Exo 9:14 For I will at this time send all my plagues upon thine heart, and upon thy servants, and upon thy people; that thou mayest know that there is none like me in all the earth.(KJV-1611) Exo 9:14 Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.(Creole-HT) ======= Exodus 9:15 ============ Exo 9:15 For now I will stretch out my hand, that I may smite thee and thy people with pestilence; and thou shalt be cut off from the earth.(KJV-1611) Exo 9:15 Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè.(Creole-HT) ======= Exodus 9:16 ============ Exo 9:16 And in very deed for this cause have I raised thee up, for to shew in thee my power; and that my name may be declared throughout all the earth.(KJV-1611) Exo 9:16 Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.(Creole-HT) ======= Exodus 9:17 ============ Exo 9:17 As yet exaltest thou thyself against my people, that thou wilt not let them go?(KJV-1611) Exo 9:17 Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.(Creole-HT) ======= Exodus 9:18 ============ Exo 9:18 Behold, to morrow about this time I will cause it to rain a very grievous hail, such as hath not been in Egypt since the foundation thereof even until now.(KJV-1611) Exo 9:18 Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= Exodus 9:19 ============ Exo 9:19 Send therefore now, and gather thy cattle, and all that thou hast in the field; for upon every man and beast which shall be found in the field, and shall not be brought home, the hail shall come down upon them, and they shall die.(KJV-1611) Exo 9:19 Koulye a, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 9:20 ============ Exo 9:20 He that feared the word of the LORD among the servants of Pharaoh made his servants and his cattle flee into the houses:(KJV-1611) Exo 9:20 Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Seyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay.(Creole-HT) ======= Exodus 9:21 ============ Exo 9:21 And he that regarded not the word of the LORD left his servants and his cattle in the field.(KJV-1611) Exo 9:21 Men, gen lòt ki pa t' okipe sa Seyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò.(Creole-HT) ======= Exodus 9:22 ============ Exo 9:22 And the LORD said unto Moses, Stretch forth thine hand toward heaven, that there may be hail in all the land of Egypt, upon man, and upon beast, and upon every herb of the field, throughout the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 9:22 Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden.(Creole-HT) ======= Exodus 9:23 ============ Exo 9:23 And Moses stretched forth his rod toward heaven: and the LORD sent thunder and hail, and the fire ran along upon the ground; and the LORD rained hail upon the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 9:23 Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 9:24 ============ Exo 9:24 So there was hail, and fire mingled with the hail, very grievous, such as there was none like it in all the land of Egypt since it became a nation.(KJV-1611) Exo 9:24 Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi.(Creole-HT) ======= Exodus 9:25 ============ Exo 9:25 And the hail smote throughout all the land of Egypt all that was in the field, both man and beast; and the hail smote every herb of the field, and brake every tree of the field.(KJV-1611) Exo 9:25 Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa.(Creole-HT) ======= Exodus 9:26 ============ Exo 9:26 Only in the land of Goshen, where the children of Israel were, was there no hail.(KJV-1611) Exo 9:26 Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.(Creole-HT) ======= Exodus 9:27 ============ Exo 9:27 And Pharaoh sent, and called for Moses and Aaron, and said unto them, I have sinned this time: the LORD is righteous, and I and my people are wicked.(KJV-1611) Exo 9:27 Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.(Creole-HT) ======= Exodus 9:28 ============ Exo 9:28 Intreat the LORD (for it is enough) that there be no more mighty thunderings and hail; and I will let you go, and ye shall stay no longer.(KJV-1611) Exo 9:28 Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 9:29 ============ Exo 9:29 And Moses said unto him, As soon as I am gone out of the city, I will spread abroad my hands unto the LORD; and the thunder shall cease, neither shall there be any more hail; that thou mayest know how that the earth is the LORD's.(KJV-1611) Exo 9:29 Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye.(Creole-HT) ======= Exodus 9:30 ============ Exo 9:30 But as for thee and thy servants, I know that ye will not yet fear the LORD God.(KJV-1611) Exo 9:30 Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Seyè a, Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 9:31 ============ Exo 9:31 And the flax and the barley was smitten: for the barley was in the ear, and the flax was bolled.(KJV-1611) Exo 9:31 Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri.(Creole-HT) ======= Exodus 9:32 ============ Exo 9:32 But the wheat and the rie were not smitten: for they were not grown up.(KJV-1611) Exo 9:32 Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo.(Creole-HT) ======= Exodus 9:33 ============ Exo 9:33 And Moses went out of the city from Pharaoh, and spread abroad his hands unto the LORD: and the thunders and hail ceased, and the rain was not poured upon the earth.(KJV-1611) Exo 9:33 Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 9:34 ============ Exo 9:34 And when Pharaoh saw that the rain and the hail and the thunders were ceased, he sinned yet more, and hardened his heart, he and his servants.(KJV-1611) Exo 9:34 Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= Exodus 9:35 ============ Exo 9:35 And the heart of Pharaoh was hardened, neither would he let the children of Israel go; as the LORD had spoken by Moses.(KJV-1611) Exo 9:35 Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 10:1 ============ Exo 10:1 And the LORD said unto Moses, Go in unto Pharaoh: for I have hardened his heart, and the heart of his servants, that I might shew these my signs before him:(KJV-1611) Exo 10:1 Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Exodus 10:2 ============ Exo 10:2 And that thou mayest tell in the ears of thy son, and of thy son's son, what things I have wrought in Egypt, and my signs which I have done among them; that ye may know how that I am the LORD.(KJV-1611) Exo 10:2 Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:3 ============ Exo 10:3 And Moses and Aaron came in unto Pharaoh, and said unto him, Thus saith the LORD God of the Hebrews, How long wilt thou refuse to humble thyself before me? let my people go, that they may serve me.(KJV-1611) Exo 10:3 Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 10:4 ============ Exo 10:4 Else, if thou refuse to let my people go, behold, to morrow will I bring the locusts into thy coast:(KJV-1611) Exo 10:4 Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:5 ============ Exo 10:5 And they shall cover the face of the earth, that one cannot be able to see the earth: and they shall eat the residue of that which is escaped, which remaineth unto you from the hail, and shall eat every tree which groweth for you out of the field:(KJV-1611) Exo 10:5 Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 10:6 ============ Exo 10:6 And they shall fill thy houses, and the houses of all thy servants, and the houses of all the Egyptians; which neither thy fathers, nor thy fathers' fathers have seen, since the day that they were upon the earth unto this day. And he turned himself, and went out from Pharaoh.(KJV-1611) Exo 10:6 Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an.(Creole-HT) ======= Exodus 10:7 ============ Exo 10:7 And Pharaoh's servants said unto him, How long shall this man be a snare unto us? let the men go, that they may serve the LORD their God: knowest thou not yet that Egypt is destroyed?(KJV-1611) Exo 10:7 Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!(Creole-HT) ======= Exodus 10:8 ============ Exo 10:8 And Moses and Aaron were brought again unto Pharaoh: and he said unto them, Go, serve the LORD your God: but who are they that shall go?(KJV-1611) Exo 10:8 Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale?(Creole-HT) ======= Exodus 10:9 ============ Exo 10:9 And Moses said, We will go with our young and with our old, with our sons and with our daughters, with our flocks and with our herds will we go; for we must hold a feast unto the LORD.(KJV-1611) Exo 10:9 Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:10 ============ Exo 10:10 And he said unto them, Let the LORD be so with you, as I will let you go, and your little ones: look to it; for evil is before you.(KJV-1611) Exo 10:10 Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.(Creole-HT) ======= Exodus 10:11 ============ Exo 10:11 Not so: go now ye that are men, and serve the LORD; for that ye did desire. And they were driven out from Pharaoh's presence.(KJV-1611) Exo 10:11 Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li.(Creole-HT) ======= Exodus 10:12 ============ Exo 10:12 And the LORD said unto Moses, Stretch out thine hand over the land of Egypt for the locusts, that they may come up upon the land of Egypt, and eat every herb of the land, even all that the hail hath left.(KJV-1611) Exo 10:12 Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite.(Creole-HT) ======= Exodus 10:13 ============ Exo 10:13 And Moses stretched forth his rod over the land of Egypt, and the LORD brought an east wind upon the land all that day, and all that night; and when it was morning, the east wind brought the locusts.(KJV-1611) Exo 10:13 Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini.(Creole-HT) ======= Exodus 10:14 ============ Exo 10:14 And the locust went up over all the land of Egypt, and rested in all the coasts of Egypt: very grievous were they; before them there were no such locusts as they, neither after them shall be such.(KJV-1611) Exo 10:14 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 10:15 ============ Exo 10:15 For they covered the face of the whole earth, so that the land was darkened; and they did eat every herb of the land, and all the fruit of the trees which the hail had left: and there remained not any green thing in the trees, or in the herbs of the field, through all the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 10:15 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 10:16 ============ Exo 10:16 Then Pharaoh called for Moses and Aaron in haste; and he said, I have sinned against the LORD your God, and against you.(KJV-1611) Exo 10:16 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.(Creole-HT) ======= Exodus 10:17 ============ Exo 10:17 Now therefore forgive, I pray thee, my sin only this once, and intreat the LORD your God, that he may take away from me this death only.(KJV-1611) Exo 10:17 Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'!(Creole-HT) ======= Exodus 10:18 ============ Exo 10:18 And he went out from Pharaoh, and intreated the LORD.(KJV-1611) Exo 10:18 Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:19 ============ Exo 10:19 And the LORD turned a mighty strong west wind, which took away the locusts, and cast them into the Red sea; there remained not one locust in all the coasts of Egypt.(KJV-1611) Exo 10:19 Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 10:20 ============ Exo 10:20 But the LORD hardened Pharaoh's heart, so that he would not let the children of Israel go.(KJV-1611) Exo 10:20 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.(Creole-HT) ======= Exodus 10:21 ============ Exo 10:21 And the LORD said unto Moses, Stretch out thine hand toward heaven, that there may be darkness over the land of Egypt, even darkness which may be felt.(KJV-1611) Exo 10:21 Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo.(Creole-HT) ======= Exodus 10:22 ============ Exo 10:22 And Moses stretched forth his hand toward heaven; and there was a thick darkness in all the land of Egypt three days:(KJV-1611) Exo 10:22 Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.(Creole-HT) ======= Exodus 10:23 ============ Exo 10:23 They saw not one another, neither rose any from his place for three days: but all the children of Israel had light in their dwellings.(KJV-1611) Exo 10:23 Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:24 ============ Exo 10:24 And Pharaoh called unto Moses, and said, Go ye, serve the LORD; only let your flocks and your herds be stayed: let your little ones also go with you.(KJV-1611) Exo 10:24 Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.(Creole-HT) ======= Exodus 10:25 ============ Exo 10:25 And Moses said, Thou must give us also sacrifices and burnt offerings, that we may sacrifice unto the LORD our God.(KJV-1611) Exo 10:25 Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an?(Creole-HT) ======= Exodus 10:26 ============ Exo 10:26 Our cattle also shall go with us; there shall not an hoof be left behind; for thereof must we take to serve the LORD our God; and we know not with what we must serve the LORD, until we come thither.(KJV-1611) Exo 10:26 Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 10:27 ============ Exo 10:27 But the LORD hardened Pharaoh's heart, and he would not let them go.(KJV-1611) Exo 10:27 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale.(Creole-HT) ======= Exodus 10:28 ============ Exo 10:28 And Pharaoh said unto him, Get thee from me, take heed to thyself, see my face no more; for in that day thou seest my face thou shalt die.(KJV-1611) Exo 10:28 Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou.(Creole-HT) ======= Exodus 10:29 ============ Exo 10:29 And Moses said, Thou hast spoken well, I will see thy face again no more.(KJV-1611) Exo 10:29 Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 11:1 ============ Exo 11:1 And the LORD said unto Moses, Yet will I bring one plague more upon Pharaoh, and upon Egypt; afterwards he will let you go hence: when he shall let you go, he shall surely thrust you out hence altogether.(KJV-1611) Exo 11:1 Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò.(Creole-HT) ======= Exodus 11:2 ============ Exo 11:2 Speak now in the ears of the people, and let every man borrow of his neighbour, and every woman of her neighbour, jewels of silver and jewels of gold.(KJV-1611) Exo 11:2 Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazen yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò.(Creole-HT) ======= Exodus 11:3 ============ Exo 11:3 And the LORD gave the people favour in the sight of the Egyptians. Moreover the man Moses was very great in the land of Egypt, in the sight of Pharaoh's servants, and in the sight of the people.(KJV-1611) Exo 11:3 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil.(Creole-HT) ======= Exodus 11:4 ============ Exo 11:4 And Moses said, Thus saith the LORD, About midnight will I go out into the midst of Egypt:(KJV-1611) Exo 11:4 Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Exodus 11:5 ============ Exo 11:5 And all the firstborn in the land of Egypt shall die, from the first born of Pharaoh that sitteth upon his throne, even unto the firstborn of the maidservant that is behind the mill; and all the firstborn of beasts.(KJV-1611) Exo 11:5 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.(Creole-HT) ======= Exodus 11:6 ============ Exo 11:6 And there shall be a great cry throughout all the land of Egypt, such as there was none like it, nor shall be like it any more.(KJV-1611) Exo 11:6 Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 11:7 ============ Exo 11:7 But against any of the children of Israel shall not a dog move his tongue, against man or beast: that ye may know how that the LORD doth put a difference between the Egyptians and Israel.(KJV-1611) Exo 11:7 Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 11:8 ============ Exo 11:8 And all these thy servants shall come down unto me, and bow down themselves unto me, saying, Get thee out, and all the people that follow thee: and after that I will go out. And he went out from Pharaoh in a great anger.(KJV-1611) Exo 11:8 Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.(Creole-HT) ======= Exodus 11:9 ============ Exo 11:9 And the LORD said unto Moses, Pharaoh shall not hearken unto you; that my wonders may be multiplied in the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 11:9 Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 11:10 ============ Exo 11:10 And Moses and Aaron did all these wonders before Pharaoh: and the LORD hardened Pharaoh's heart, so that he would not let the children of Israel go out of his land.(KJV-1611) Exo 11:10 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:1 ============ Exo 12:1 And the LORD spake unto Moses and Aaron in the land of Egypt saying,(KJV-1611) Exo 12:1 Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Seyè a di yo:(Creole-HT) ======= Exodus 12:2 ============ Exo 12:2 This month shall be unto you the beginning of months: it shall be the first month of the year to you.(KJV-1611) Exo 12:2 -Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se limenm k'ap anvan tout lòt mwa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:3 ============ Exo 12:3 Speak ye unto all the congregation of Israel, saying, In the tenth day of this month they shall take to them every man a lamb, according to the house of their fathers, a lamb for an house:(KJV-1611) Exo 12:3 Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.(Creole-HT) ======= Exodus 12:4 ============ Exo 12:4 And if the household be too little for the lamb, let him and his neighbour next unto his house take it according to the number of the souls; every man according to his eating shall make your count for the lamb.(KJV-1611) Exo 12:4 Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.(Creole-HT) ======= Exodus 12:5 ============ Exo 12:5 Your lamb shall be without blemish, a male of the first year: ye shall take it out from the sheep, or from the goats:(KJV-1611) Exo 12:5 Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen ankenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.(Creole-HT) ======= Exodus 12:6 ============ Exo 12:6 And ye shall keep it up until the fourteenth day of the same month: and the whole assembly of the congregation of Israel shall kill it in the evening.(KJV-1611) Exo 12:6 N'a gade l' apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa.(Creole-HT) ======= Exodus 12:7 ============ Exo 12:7 And they shall take of the blood, and strike it on the two side posts and on the upper door post of the houses, wherein they shall eat it.(KJV-1611) Exo 12:7 N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l' sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:8 ============ Exo 12:8 And they shall eat the flesh in that night, roast with fire, and unleavened bread; and with bitter herbs they shall eat it.(KJV-1611) Exo 12:8 Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.(Creole-HT) ======= Exodus 12:9 ============ Exo 12:9 Eat not of it raw, nor sodden at all with water, but roast with fire; his head with his legs, and with the purtenance thereof.(KJV-1611) Exo 12:9 Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l' tout ankè ak tout tonbe a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:10 ============ Exo 12:10 And ye shall let nothing of it remain until the morning; and that which remaineth of it until the morning ye shall burn with fire.(KJV-1611) Exo 12:10 Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l' nan dife.(Creole-HT) ======= Exodus 12:11 ============ Exo 12:11 And thus shall ye eat it; with your loins girded, your shoes on your feet, and your staff in your hand; and ye shall eat it in haste: it is the LORD's passover.(KJV-1611) Exo 12:11 Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.(Creole-HT) ======= Exodus 12:12 ============ Exo 12:12 For I will pass through the land of Egypt this night, and will smite all the firstborn in the land of Egypt, both man and beast; and against all the gods of Egypt I will execute judgment: I am the LORD.(KJV-1611) Exo 12:12 Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:13 ============ Exo 12:13 And the blood shall be to you for a token upon the houses where ye are: and when I see the blood, I will pass over you, and the plague shall not be upon you to destroy you, when I smite the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 12:13 San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:14 ============ Exo 12:14 And this day shall be unto you for a memorial; and ye shall keep it a feast to the LORD throughout your generations; ye shall keep it a feast by an ordinance for ever.(KJV-1611) Exo 12:14 Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:15 ============ Exo 12:15 Seven days shall ye eat unleavened bread; even the first day ye shall put away leaven out of your houses: for whosoever eateth leavened bread from the first day until the seventh day, that soul shall be cut off from Israel.(KJV-1611) Exo 12:15 Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:16 ============ Exo 12:16 And in the first day there shall be an holy convocation, and in the seventh day there shall be an holy convocation to you; no manner of work shall be done in them, save that which every man must eat, that only may be done of you.(KJV-1611) Exo 12:16 Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje.(Creole-HT) ======= Exodus 12:17 ============ Exo 12:17 And ye shall observe the feast of unleavened bread; for in this selfsame day have I brought your armies out of the land of Egypt: therefore shall ye observe this day in your generations by an ordinance for ever.(KJV-1611) Exo 12:17 N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo soti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Exodus 12:18 ============ Exo 12:18 In the first month, on the fourteenth day of the month at even, ye shall eat unleavened bread, until the one and twentieth day of the month at even.(KJV-1611) Exo 12:18 Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyenyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje.(Creole-HT) ======= Exodus 12:19 ============ Exo 12:19 Seven days shall there be no leaven found in your houses: for whosoever eateth that which is leavened, even that soul shall be cut off from the congregation of Israel, whether he be a stranger, or born in the land.(KJV-1611) Exo 12:19 Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:20 ============ Exo 12:20 Ye shall eat nothing leavened; in all your habitations shall ye eat unleavened bread.(KJV-1611) Exo 12:20 Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven.(Creole-HT) ======= Exodus 12:21 ============ Exo 12:21 Then Moses called for all the elders of Israel, and said unto them, Draw out and take you a lamb according to your families, and kill the passover.(KJV-1611) Exo 12:21 Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:22 ============ Exo 12:22 And ye shall take a bunch of hyssop, and dip it in the blood that is in the bason, and strike the lintel and the two side posts with the blood that is in the bason; and none of you shall go out at the door of his house until the morning.(KJV-1611) Exo 12:22 Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l' nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l' sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pesonn soti deyò lakay yo jouk li jou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:23 ============ Exo 12:23 For the LORD will pass through to smite the Egyptians; and when he seeth the blood upon the lintel, and on the two side posts, the LORD will pass over the door, and will not suffer the destroyer to come in unto your houses to smite you.(KJV-1611) Exo 12:23 Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:24 ============ Exo 12:24 And ye shall observe this thing for an ordinance to thee and to thy sons for ever.(KJV-1611) Exo 12:24 N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:25 ============ Exo 12:25 And it shall come to pass, when ye be come to the land which the LORD will give you, according as he hath promised, that ye shall keep this service.(KJV-1611) Exo 12:25 Lè n'a antre nan peyi Seyè a pral ban nou an, jan l' te pwomèt la, se pou nou toujou fè seremoni sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:26 ============ Exo 12:26 And it shall come to pass, when your children shall say unto you, What mean ye by this service?(KJV-1611) Exo 12:26 Lè timoun nou yo va mande nou sa seremoni sa a vle di,(Creole-HT) ======= Exodus 12:27 ============ Exo 12:27 That ye shall say, It is the sacrifice of the LORD's passover, who passed over the houses of the children of Israel in Egypt, when he smote the Egyptians, and delivered our houses. And the people bowed the head and worshipped.(KJV-1611) Exo 12:27 n'a reponn yo: Se fèt Delivrans lan n'ap fete pou Seyè a, paske li te sote kay moun pèp Izrayèl yo nan peyi Lejip, lè li t'ap touye moun peyi Lejip yo. Konsa li pa t' fè nou anyen. Apre tout pawòl sa yo, tout moun pèp Izrayèl yo met ajenou, yo bese tèt yo atè pou adore Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:28 ============ Exo 12:28 And the children of Israel went away, and did as the LORD had commanded Moses and Aaron, so did they.(KJV-1611) Exo 12:28 Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:29 ============ Exo 12:29 And it came to pass, that at midnight the LORD smote all the firstborn in the land of Egypt, from the firstborn of Pharaoh that sat on his throne unto the firstborn of the captive that was in the dungeon; and all the firstborn of cattle.(KJV-1611) Exo 12:29 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 12:30 ============ Exo 12:30 And Pharaoh rose up in the night, he, and all his servants, and all the Egyptians; and there was a great cry in Egypt; for there was not a house where there was not one dead.(KJV-1611) Exo 12:30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò.(Creole-HT) ======= Exodus 12:31 ============ Exo 12:31 And he called for Moses and Aaron by night, and said, Rise up, and get you forth from among my people, both ye and the children of Israel; and go, serve the LORD, as ye have said.(KJV-1611) Exo 12:31 Nan mitan lannwit lan, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Leve, ale fè wout nou! Wete kò nou nan mitan pèp mwen an, nou menm ansanm ak moun pèp Izrayèl la. Ale, mwen di nou. Al fè sèvis pou Seyè a jan nou te di a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:32 ============ Exo 12:32 Also take your flocks and your herds, as ye have said, and be gone; and bless me also.(KJV-1611) Exo 12:32 Nou mèt pran mouton nou ak bèf nou yo, jan nou te di l' la. Epi mande Bondye pou l' beni mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 12:33 ============ Exo 12:33 And the Egyptians were urgent upon the people, that they might send them out of the land in haste; for they said, We be all dead men.(KJV-1611) Exo 12:33 Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!(Creole-HT) ======= Exodus 12:34 ============ Exo 12:34 And the people took their dough before it was leavened, their kneadingtroughs being bound up in their clothes upon their shoulders.(KJV-1611) Exo 12:34 Se konsa pèp Izrayèl la pran pa t' farin lan san yo pa t' ankò mete ledven ladan l'. Yo mete yo sou platin fou yo, yo vlope yo nan rad yo, yo mete yo sou zepòl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:35 ============ Exo 12:35 And the children of Israel did according to the word of Moses; and they borrowed of the Egyptians jewels of silver, and jewels of gold, and raiment:(KJV-1611) Exo 12:35 Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad.(Creole-HT) ======= Exodus 12:36 ============ Exo 12:36 And the LORD gave the people favour in the sight of the Egyptians, so that they lent unto them such things as they required. And they spoiled the Egyptians.(KJV-1611) Exo 12:36 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:37 ============ Exo 12:37 And the children of Israel journeyed from Rameses to Succoth, about six hundred thousand on foot that were men, beside children.(KJV-1611) Exo 12:37 Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.(Creole-HT) ======= Exodus 12:38 ============ Exo 12:38 And a mixed multitude went up also with them; and flocks, and herds, even very much cattle.(KJV-1611) Exo 12:38 Te gen anpil moun lòt peyi tou ki te pati ansanm ak yo. Te gen anpil mouton, kabrit ak bèf tou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:39 ============ Exo 12:39 And they baked unleavened cakes of the dough which they brought forth out of Egypt, for it was not leavened; because they were thrust out of Egypt, and could not tarry, neither had they prepared for themselves any victual.(KJV-1611) Exo 12:39 Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon.(Creole-HT) ======= Exodus 12:40 ============ Exo 12:40 Now the sojourning of the children of Israel, who dwelt in Egypt, was four hundred and thirty years.(KJV-1611) Exo 12:40 Moun pèp Izrayèl yo te pase katsantrantan nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:41 ============ Exo 12:41 And it came to pass at the end of the four hundred and thirty years, even the selfsame day it came to pass, that all the hosts of the LORD went out from the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 12:41 Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:42 ============ Exo 12:42 It is a night to be much observed unto the LORD for bringing them out from the land of Egypt: this is that night of the LORD to be observed of all the children of Israel in their generations.(KJV-1611) Exo 12:42 Se te yon jou lannwit. Seyè a te pase tout nwit la ap veye pou fè yo soti kite peyi Lejip la. Se poutèt sa, se pou yo mete nwit sa a apa pou yo fè veye pou Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 12:43 ============ Exo 12:43 And the LORD said unto Moses and Aaron, This is the ordinance of the passover: There shall no stranger eat thereof:(KJV-1611) Exo 12:43 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Men ki jan pou yo fete fèt Delivrans lan. Pou konmanse, ankenn moun lòt nasyon pa gen dwa patisipe ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 12:44 ============ Exo 12:44 But every man's servant that is bought for money, when thou hast circumcised him, then shall he eat thereof.(KJV-1611) Exo 12:44 Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.(Creole-HT) ======= Exodus 12:45 ============ Exo 12:45 A foreigner and an hired servant shall not eat thereof.(KJV-1611) Exo 12:45 Men, ni moun lòt nasyon ki depasaj lakay nou, ni domestik k'ap travay pou lajan pa ka patisipe nan fèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:46 ============ Exo 12:46 In one house shall it be eaten; thou shalt not carry forth ought of the flesh abroad out of the house; neither shall ye break a bone thereof.(KJV-1611) Exo 12:46 Se pou nou manje manje Delivrans lan anndan kay. Vyann lan pa fèt pou soti deyò menm. Ni nou pa fèt pou kraze ankenn zo bèt nou touye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 12:47 ============ Exo 12:47 All the congregation of Israel shall keep it.(KJV-1611) Exo 12:47 Se pou tout pèp Izrayèl la nèt fete fèt sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:48 ============ Exo 12:48 And when a stranger shall sojourn with thee, and will keep the passover to the LORD, let all his males be circumcised, and then let him come near and keep it; and he shall be as one that is born in the land: for no uncircumcised person shall eat thereof.(KJV-1611) Exo 12:48 Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 12:49 ============ Exo 12:49 One law shall be to him that is homeborn, and unto the stranger that sojourneth among you.(KJV-1611) Exo 12:49 Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Exodus 12:50 ============ Exo 12:50 Thus did all the children of Israel; as the LORD commanded Moses and Aaron, so did they.(KJV-1611) Exo 12:50 Tout moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd la, yo te fè sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 12:51 ============ Exo 12:51 And it came to pass the selfsame day, that the LORD did bring the children of Israel out of the land of Egypt by their armies.(KJV-1611) Exo 12:51 Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:1 ============ Exo 13:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 13:1 Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 13:2 ============ Exo 13:2 Sanctify unto me all the firstborn, whatsoever openeth the womb among the children of Israel, both of man and of beast: it is mine.(KJV-1611) Exo 13:2 -Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Exodus 13:3 ============ Exo 13:3 And Moses said unto the people, Remember this day, in which ye came out from Egypt, out of the house of bondage; for by strength of hand the LORD brought you out from this place: there shall no leavened bread be eaten.(KJV-1611) Exo 13:3 Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 13:4 ============ Exo 13:4 This day came ye out in the month Abib.(KJV-1611) Exo 13:4 Se jòdi a, se jou sa a, nan mwa Abib la, n'ap soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 13:5 ============ Exo 13:5 And it shall be when the LORD shall bring thee into the land of the Canaanites, and the Hittites, and the Amorites, and the Hivites, and the Jebusites, which he sware unto thy fathers to give thee, a land flowing with milk and honey, that thou shalt keep this service in this month.(KJV-1611) Exo 13:5 Seyè a va fè nou antre nan peyi ki pou moun Kanaran yo, pou moun Et yo, pou moun Amori yo, pou moun Evi yo ak moun Jebis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se peyi sa a Seyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a.(Creole-HT) ======= Exodus 13:6 ============ Exo 13:6 Seven days thou shalt eat unleavened bread, and in the seventh day shall be a feast to the LORD.(KJV-1611) Exo 13:6 Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 13:7 ============ Exo 13:7 Unleavened bread shall be eaten seven days; and there shall no leavened bread be seen with thee, neither shall there be leaven seen with thee in all thy quarters.(KJV-1611) Exo 13:7 Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fèt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Exodus 13:8 ============ Exo 13:8 And thou shalt shew thy son in that day, saying, This is done because of that which the LORD did unto me when I came forth out of Egypt.(KJV-1611) Exo 13:8 Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:9 ============ Exo 13:9 And it shall be for a sign unto thee upon thine hand, and for a memorial between thine eyes, that the LORD's law may be in thy mouth: for with a strong hand hath the LORD brought thee out of Egypt.(KJV-1611) Exo 13:9 Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:10 ============ Exo 13:10 Thou shalt therefore keep this ordinance in his season from year to year.(KJV-1611) Exo 13:10 Toujou fè sèvis sa a chak lanne, nan dat mwen te fikse a.(Creole-HT) ======= Exodus 13:11 ============ Exo 13:11 And it shall be when the LORD shall bring thee into the land of the Canaanites, as he sware unto thee and to thy fathers, and shall give it thee,(KJV-1611) Exo 13:11 Lè Seyè a va fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, dapre pwomès li te fè nou an, nou menm ansanm ak zansèt nou yo, lè Seyè a va ban nou peyi sa a,(Creole-HT) ======= Exodus 13:12 ============ Exo 13:12 That thou shalt set apart unto the LORD all that openeth the matrix, and every firstling that cometh of a beast which thou hast; the males shall be the LORD's.(KJV-1611) Exo 13:12 n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Seyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Exodus 13:13 ============ Exo 13:13 And every firstling of an ass thou shalt redeem with a lamb; and if thou wilt not redeem it, then thou shalt break his neck: and all the firstborn of man among thy children shalt thou redeem.(KJV-1611) Exo 13:13 Nan plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l'. Men, n'a ofri m' bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 13:14 ============ Exo 13:14 And it shall be when thy son asketh thee in time to come, saying, What is this? that thou shalt say unto him, By strength of hand the LORD brought us out from Egypt, from the house of bondage:(KJV-1611) Exo 13:14 Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:15 ============ Exo 13:15 And it came to pass, when Pharaoh would hardly let us go, that the LORD slew all the firstborn in the land of Egypt, both the firstborn of man, and the firstborn of beast: therefore I sacrifice to the LORD all that openeth the matrix, being males; but all the firstborn of my children I redeem.(KJV-1611) Exo 13:15 Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'.(Creole-HT) ======= Exodus 13:16 ============ Exo 13:16 And it shall be for a token upon thine hand, and for frontlets between thine eyes: for by strength of hand the LORD brought us forth out of Egypt.(KJV-1611) Exo 13:16 Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 13:17 ============ Exo 13:17 And it came to pass, when Pharaoh had let the people go, that God led them not through the way of the land of the Philistines, although that was near; for God said, Lest peradventure the people repent when they see war, and they return to Egypt:(KJV-1611) Exo 13:17 Lè farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè.(Creole-HT) ======= Exodus 13:18 ============ Exo 13:18 But God led the people about, through the way of the wilderness of the Red sea: and the children of Israel went up harnessed out of the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 13:18 Se konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip la tankou yon lame.(Creole-HT) ======= Exodus 13:19 ============ Exo 13:19 And Moses took the bones of Joseph with him: for he had straitly sworn the children of Israel, saying, God will surely visit you; and ye shall carry up my bones away hence with you.(KJV-1611) Exo 13:19 Moyiz pran zosman Jozèf yo avèk li, paske Jozèf te fè moun pèp Izrayèl yo fè sèman. Li te di yo: Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, se pou nou pati ak zosman mwen soti isit la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:20 ============ Exo 13:20 And they took their journey from Succoth, and encamped in Etham, in the edge of the wilderness.(KJV-1611) Exo 13:20 Yo kite Soukòt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyè dezè a, yo pase kèk tan la.(Creole-HT) ======= Exodus 13:21 ============ Exo 13:21 And the LORD went before them by day in a pillar of a cloud, to lead them the way; and by night in a pillar of fire, to give them light; to go by day and night:(KJV-1611) Exo 13:21 Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.(Creole-HT) ======= Exodus 13:22 ============ Exo 13:22 He took not away the pillar of the cloud by day, nor the pillar of fire by night, from before the people.(KJV-1611) Exo 13:22 Lajounen, nwaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:1 ============ Exo 14:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 14:1 Bondye pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Exodus 14:2 ============ Exo 14:2 Speak unto the children of Israel, that they turn and encamp before Pihahiroth, between Migdol and the sea, over against Baalzephon: before it shall ye encamp by the sea.(KJV-1611) Exo 14:2 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiròt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:3 ============ Exo 14:3 For Pharaoh will say of the children of Israel, They are entangled in the land, the wilderness hath shut them in.(KJV-1611) Exo 14:3 Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:4 ============ Exo 14:4 And I will harden Pharaoh's heart, that he shall follow after them; and I will be honoured upon Pharaoh, and upon all his host; that the Egyptians may know that I am the LORD. And they did so.(KJV-1611) Exo 14:4 M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:5 ============ Exo 14:5 And it was told the king of Egypt that the people fled: and the heart of Pharaoh and of his servants was turned against the people, and they said, Why have we done this, that we have let Israel go from serving us?(KJV-1611) Exo 14:5 Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di l' pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa l' yo chanje lide. Yo di: -Sa nou fè la a? Nou kite yo ale? Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou an?(Creole-HT) ======= Exodus 14:6 ============ Exo 14:6 And he made ready his chariot, and took his people with him:(KJV-1611) Exo 14:6 Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li.(Creole-HT) ======= Exodus 14:7 ============ Exo 14:7 And he took six hundred chosen chariots, and all the chariots of Egypt, and captains over every one of them.(KJV-1611) Exo 14:7 Li pran sisan cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:8 ============ Exo 14:8 And the LORD hardened the heart of Pharaoh king of Egypt, and he pursued after the children of Israel: and the children of Israel went out with an high hand.(KJV-1611) Exo 14:8 Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.(Creole-HT) ======= Exodus 14:9 ============ Exo 14:9 But the Egyptians pursued after them, all the horses and chariots of Pharaoh, and his horsemen, and his army, and overtook them encamping by the sea, beside Pihahiroth, before Baalzephon.(KJV-1611) Exo 14:9 Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiròt anfas Baalsefon.(Creole-HT) ======= Exodus 14:10 ============ Exo 14:10 And when Pharaoh drew nigh, the children of Israel lifted up their eyes, and, behold, the Egyptians marched after them; and they were sore afraid: and the children of Israel cried out unto the LORD.(KJV-1611) Exo 14:10 Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:11 ============ Exo 14:11 And they said unto Moses, Because there were no graves in Egypt, hast thou taken us away to die in the wilderness? wherefore hast thou dealt thus with us, to carry us forth out of Egypt?(KJV-1611) Exo 14:11 Yo di Moyiz konsa: -Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou soti kite Lejip la?(Creole-HT) ======= Exodus 14:12 ============ Exo 14:12 Is not this the word that we did tell thee in Egypt, saying, Let us alone, that we may serve the Egyptians? For it had been better for us to serve the Egyptians, than that we should die in the wilderness.(KJV-1611) Exo 14:12 Eske nou pa t' di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:13 ============ Exo 14:13 And Moses said unto the people, Fear ye not, stand still, and see the salvation of the LORD, which he will shew to you to day: for the Egyptians whom ye have seen to day, ye shall see them again no more for ever.(KJV-1611) Exo 14:13 Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 14:14 ============ Exo 14:14 The LORD shall fight for you, and ye shall hold your peace.(KJV-1611) Exo 14:14 Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.(Creole-HT) ======= Exodus 14:15 ============ Exo 14:15 And the LORD said unto Moses, Wherefore criest thou unto me? speak unto the children of Israel, that they go forward:(KJV-1611) Exo 14:15 Seyè a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache.(Creole-HT) ======= Exodus 14:16 ============ Exo 14:16 But lift thou up thy rod, and stretch out thine hand over the sea, and divide it: and the children of Israel shall go on dry ground through the midst of the sea.(KJV-1611) Exo 14:16 Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk.(Creole-HT) ======= Exodus 14:17 ============ Exo 14:17 And I, behold, I will harden the hearts of the Egyptians, and they shall follow them: and I will get me honour upon Pharaoh, and upon all his host, upon his chariots, and upon his horsemen.(KJV-1611) Exo 14:17 M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 14:18 ============ Exo 14:18 And the Egyptians shall know that I am the LORD, when I have gotten me honour upon Pharaoh, upon his chariots, and upon his horsemen.(KJV-1611) Exo 14:18 Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:19 ============ Exo 14:19 And the angel of God, which went before the camp of Israel, removed and went behind them; and the pillar of the cloud went from before their face, and stood behind them:(KJV-1611) Exo 14:19 Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:20 ============ Exo 14:20 And it came between the camp of the Egyptians and the camp of Israel; and it was a cloud and darkness to them, but it gave light by night to these: so that the one came not near the other all the night.(KJV-1611) Exo 14:20 Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nwaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pa t' ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.(Creole-HT) ======= Exodus 14:21 ============ Exo 14:21 And Moses stretched out his hand over the sea; and the LORD caused the sea to go back by a strong east wind all that night, and made the sea dry land, and the waters were divided.(KJV-1611) Exo 14:21 Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.(Creole-HT) ======= Exodus 14:22 ============ Exo 14:22 And the children of Israel went into the midst of the sea upon the dry ground: and the waters were a wall unto them on their right hand, and on their left.(KJV-1611) Exo 14:22 Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:23 ============ Exo 14:23 And the Egyptians pursued, and went in after them to the midst of the sea, even all Pharaoh's horses, his chariots, and his horsemen.(KJV-1611) Exo 14:23 Moun peyi Lejip yo pran rapouswiv yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:24 ============ Exo 14:24 And it came to pass, that in the morning watch the LORD looked unto the host of the Egyptians through the pillar of fire and of the cloud, and troubled the host of the Egyptians,(KJV-1611) Exo 14:24 Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:25 ============ Exo 14:25 And took off their chariot wheels, that they drave them heavily: so that the Egyptians said, Let us flee from the face of Israel; for the LORD fighteth for them against the Egyptians.(KJV-1611) Exo 14:25 Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou.(Creole-HT) ======= Exodus 14:26 ============ Exo 14:26 And the LORD said unto Moses, Stretch out thine hand over the sea, that the waters may come again upon the Egyptians, upon their chariots, and upon their horsemen.(KJV-1611) Exo 14:26 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:27 ============ Exo 14:27 And Moses stretched forth his hand over the sea, and the sea returned to his strength when the morning appeared; and the Egyptians fled against it; and the LORD overthrew the Egyptians in the midst of the sea.(KJV-1611) Exo 14:27 Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:28 ============ Exo 14:28 And the waters returned, and covered the chariots, and the horsemen, and all the host of Pharaoh that came into the sea after them; there remained not so much as one of them.(KJV-1611) Exo 14:28 Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.(Creole-HT) ======= Exodus 14:29 ============ Exo 14:29 But the children of Israel walked upon dry land in the midst of the sea; and the waters were a wall unto them on their right hand, and on their left.(KJV-1611) Exo 14:29 Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.(Creole-HT) ======= Exodus 14:30 ============ Exo 14:30 Thus the LORD saved Israel that day out of the hand of the Egyptians; and Israel saw the Egyptians dead upon the sea shore.(KJV-1611) Exo 14:30 Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Exodus 14:31 ============ Exo 14:31 And Israel saw that great work which the LORD did upon the Egyptians: and the people feared the LORD, and believed the LORD, and his servant Moses.(KJV-1611) Exo 14:31 Yo wè sa Seyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Seyè a. Yo mete konfyans yo nan Seyè a ak nan Moyiz, sèvitè l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 15:1 ============ Exo 15:1 Then sang Moses and the children of Israel this song unto the LORD, and spake, saying, I will sing unto the LORD, for he hath triumphed gloriously: the horse and his rider hath he thrown into the sea.(KJV-1611) Exo 15:1 Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.(Creole-HT) ======= Exodus 15:2 ============ Exo 15:2 The LORD is my strength and song, and he is become my salvation: he is my God, and I will prepare him an habitation; my father's God, and I will exalt him.(KJV-1611) Exo 15:2 Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Exodus 15:3 ============ Exo 15:3 The LORD is a man of war: the LORD is his name.(KJV-1611) Exo 15:3 Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l'.(Creole-HT) ======= Exodus 15:4 ============ Exo 15:4 Pharaoh's chariots and his host hath he cast into the sea: his chosen captains also are drowned in the Red sea.(KJV-1611) Exo 15:4 Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Exodus 15:5 ============ Exo 15:5 The depths have covered them: they sank into the bottom as a stone.(KJV-1611) Exo 15:5 Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch.(Creole-HT) ======= Exodus 15:6 ============ Exo 15:6 Thy right hand, O LORD, is become glorious in power: thy right hand, O LORD, hath dashed in pieces the enemy.(KJV-1611) Exo 15:6 Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!(Creole-HT) ======= Exodus 15:7 ============ Exo 15:7 And in the greatness of thine excellency thou hast overthrown them that rose up against thee: thou sentest forth thy wrath, which consumed them as stubble.(KJV-1611) Exo 15:7 Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.(Creole-HT) ======= Exodus 15:8 ============ Exo 15:8 And with the blast of thy nostrils the waters were gathered together, the floods stood upright as an heap, and the depths were congealed in the heart of the sea.(KJV-1611) Exo 15:8 Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.(Creole-HT) ======= Exodus 15:9 ============ Exo 15:9 The enemy said, I will pursue, I will overtake, I will divide the spoil; my lust shall be satisfied upon them; I will draw my sword, my hand shall destroy them.(KJV-1611) Exo 15:9 Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.(Creole-HT) ======= Exodus 15:10 ============ Exo 15:10 Thou didst blow with thy wind, the sea covered them: they sank as lead in the mighty waters.(KJV-1611) Exo 15:10 Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.(Creole-HT) ======= Exodus 15:11 ============ Exo 15:11 Who is like unto thee, O LORD, among the gods? who is like thee, glorious in holiness, fearful in praises, doing wonders?(KJV-1611) Exo 15:11 Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?(Creole-HT) ======= Exodus 15:12 ============ Exo 15:12 Thou stretchedst out thy right hand, the earth swallowed them.(KJV-1611) Exo 15:12 Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.(Creole-HT) ======= Exodus 15:13 ============ Exo 15:13 Thou in thy mercy hast led forth the people which thou hast redeemed: thou hast guided them in thy strength unto thy holy habitation.(KJV-1611) Exo 15:13 Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.(Creole-HT) ======= Exodus 15:14 ============ Exo 15:14 The people shall hear, and be afraid: sorrow shall take hold on the inhabitants of Palestina.(KJV-1611) Exo 15:14 Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= Exodus 15:15 ============ Exo 15:15 Then the dukes of Edom shall be amazed; the mighty men of Moab, trembling shall take hold upon them; all the inhabitants of Canaan shall melt away.(KJV-1611) Exo 15:15 Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.(Creole-HT) ======= Exodus 15:16 ============ Exo 15:16 Fear and dread shall fall upon them; by the greatness of thine arm they shall be as still as a stone; till thy people pass over, O LORD, till the people pass over, which thou hast purchased.(KJV-1611) Exo 15:16 Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!(Creole-HT) ======= Exodus 15:17 ============ Exo 15:17 Thou shalt bring them in, and plant them in the mountain of thine inheritance, in the place, O LORD, which thou hast made for thee to dwell in, in the Sanctuary, O LORD, which thy hands have established.(KJV-1611) Exo 15:17 Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.(Creole-HT) ======= Exodus 15:18 ============ Exo 15:18 The LORD shall reign for ever and ever.(KJV-1611) Exo 15:18 Seyè a ap gouvènen pou tout tan.(Creole-HT) ======= Exodus 15:19 ============ Exo 15:19 For the horse of Pharaoh went in with his chariots and with his horsemen into the sea, and the LORD brought again the waters of the sea upon them; but the children of Israel went on dry land in the midst of the sea.(KJV-1611) Exo 15:19 Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.(Creole-HT) ======= Exodus 15:20 ============ Exo 15:20 And Miriam the prophetess, the sister of Aaron, took a timbrel in her hand; and all the women went out after her with timbrels and with dances.(KJV-1611) Exo 15:20 Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.(Creole-HT) ======= Exodus 15:21 ============ Exo 15:21 And Miriam answered them, Sing ye to the LORD, for he hath triumphed gloriously; the horse and his rider hath he thrown into the sea.(KJV-1611) Exo 15:21 Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 15:22 ============ Exo 15:22 So Moses brought Israel from the Red sea, and they went out into the wilderness of Shur; and they went three days in the wilderness, and found no water.(KJV-1611) Exo 15:22 Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 15:23 ============ Exo 15:23 And when they came to Marah, they could not drink of the waters of Marah, for they were bitter: therefore the name of it was called Marah.(KJV-1611) Exo 15:23 Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t' kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara.(Creole-HT) ======= Exodus 15:24 ============ Exo 15:24 And the people murmured against Moses, saying, What shall we drink?(KJV-1611) Exo 15:24 Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l': -Atò, kisa pou nou bwè koulye a?(Creole-HT) ======= Exodus 15:25 ============ Exo 15:25 And he cried unto the LORD; and the LORD shewed him a tree, which when he had cast into the waters, the waters were made sweet: there he made for them a statute and an ordinance, and there he proved them,(KJV-1611) Exo 15:25 Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l'. Seyè a moutre l' yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo.(Creole-HT) ======= Exodus 15:26 ============ Exo 15:26 And said, If thou wilt diligently hearken to the voice of the LORD thy God, and wilt do that which is right in his sight, and wilt give ear to his commandments, and keep all his statutes, I will put none of these diseases upon thee, which I have brought upon the Egyptians: for I am the LORD that healeth thee.(KJV-1611) Exo 15:26 Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.(Creole-HT) ======= Exodus 15:27 ============ Exo 15:27 And they came to Elim, where were twelve wells of water, and threescore and ten palm trees: and they encamped there by the waters.(KJV-1611) Exo 15:27 Apre sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a.(Creole-HT) ======= Exodus 16:1 ============ Exo 16:1 And they took their journey from Elim, and all the congregation of the children of Israel came unto the wilderness of Sin, which is between Elim and Sinai, on the fifteenth day of the second month after their departing out of the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 16:1 Apre sa, tout moun pèp Izrayèl yo pati kite Elim, yo rive nan dezè yo rele Sin lan, ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te pati kite Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 16:2 ============ Exo 16:2 And the whole congregation of the children of Israel murmured against Moses and Aaron in the wilderness:(KJV-1611) Exo 16:2 Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a.(Creole-HT) ======= Exodus 16:3 ============ Exo 16:3 And the children of Israel said unto them, Would to God we had died by the hand of the LORD in the land of Egypt, when we sat by the flesh pots, and when we did eat bread to the full; for ye have brought us forth into this wilderness, to kill this whole assembly with hunger.(KJV-1611) Exo 16:3 Yo t'ap di yo: -Poukisa Seyè a pa t' tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.(Creole-HT) ======= Exodus 16:4 ============ Exo 16:4 Then said the LORD unto Moses, Behold, I will rain bread from heaven for you; and the people shall go out and gather a certain rate every day, that I may prove them, whether they will walk in my law, or no.(KJV-1611) Exo 16:4 Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre.(Creole-HT) ======= Exodus 16:5 ============ Exo 16:5 And it shall come to pass, that on the sixth day they shall prepare that which they bring in; and it shall be twice as much as they gather daily.(KJV-1611) Exo 16:5 Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la.(Creole-HT) ======= Exodus 16:6 ============ Exo 16:6 And Moses and Aaron said unto all the children of Israel, At even, then ye shall know that the LORD hath brought you out from the land of Egypt:(KJV-1611) Exo 16:6 Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: -Aswè a n'a konnen se Seyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 16:7 ============ Exo 16:7 And in the morning, then ye shall see the glory of the LORD; for that he heareth your murmurings against the LORD: and what are we, that ye murmur against us?(KJV-1611) Exo 16:7 Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Seyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se sou Bondye n'ap bougonnen.(Creole-HT) ======= Exodus 16:8 ============ Exo 16:8 And Moses said, This shall be, when the LORD shall give you in the evening flesh to eat, and in the morning bread to the full; for that the LORD heareth your murmurings which ye murmur against him: and what are we? your murmurings are not against us, but against the LORD.(KJV-1611) Exo 16:8 Apre sa, Moyiz di yo: -Se Seyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Seyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Seyè a n'ap bougonnen.(Creole-HT) ======= Exodus 16:9 ============ Exo 16:9 And Moses spake unto Aaron, Say unto all the congregation of the children of Israel, Come near before the LORD: for he hath heard your murmurings.(KJV-1611) Exo 16:9 Lè sa a Moyiz di Arawon: -Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Seyè a paske li tande jan n'ap plenyen an.(Creole-HT) ======= Exodus 16:10 ============ Exo 16:10 And it came to pass, as Aaron spake unto the whole congregation of the children of Israel, that they looked toward the wilderness, and, behold, the glory of the LORD appeared in the cloud.(KJV-1611) Exo 16:10 Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la.(Creole-HT) ======= Exodus 16:11 ============ Exo 16:11 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 16:11 Seyè a di Moyiz:(Creole-HT) ======= Exodus 16:12 ============ Exo 16:12 I have heard the murmurings of the children of Israel: speak unto them, saying, At even ye shall eat flesh, and in the morning ye shall be filled with bread; and ye shall know that I am the LORD your God.(KJV-1611) Exo 16:12 -Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou.(Creole-HT) ======= Exodus 16:13 ============ Exo 16:13 And it came to pass, that at even the quails came up, and covered the camp: and in the morning the dew lay round about the host.(KJV-1611) Exo 16:13 Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a.(Creole-HT) ======= Exodus 16:14 ============ Exo 16:14 And when the dew that lay was gone up, behold, upon the face of the wilderness there lay a small round thing, as small as the hoar frost on the ground.(KJV-1611) Exo 16:14 Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a.(Creole-HT) ======= Exodus 16:15 ============ Exo 16:15 And when the children of Israel saw it, they said one to another, It is manna: for they wist not what it was. And Moses said unto them, This is the bread which the LORD hath given you to eat.(KJV-1611) Exo 16:15 Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lòt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyè a ban nou pou nou manje.(Creole-HT) ======= Exodus 16:16 ============ Exo 16:16 This is the thing which the LORD hath commanded, Gather of it every man according to his eating, an omer for every man, according to the number of your persons; take ye every man for them which are in his tents.(KJV-1611) Exo 16:16 Men lòd Seyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun.(Creole-HT) ======= Exodus 16:17 ============ Exo 16:17 And the children of Israel did so, and gathered, some more, some less.(KJV-1611) Exo 16:17 Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti.(Creole-HT) ======= Exodus 16:18 ============ Exo 16:18 And when they did mete it with an omer, he that gathered much had nothing over, and he that gathered little had no lack; they gathered every man according to his eating.(KJV-1611) Exo 16:18 Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje.(Creole-HT) ======= Exodus 16:19 ============ Exo 16:19 And Moses said, Let no man leave of it till the morning.(KJV-1611) Exo 16:19 Moyiz di yo: -Piga pesonn sere anyen pou denmen.(Creole-HT) ======= Exodus 16:20 ============ Exo 16:20 Notwithstanding they hearkened not unto Moses; but some of them left of it until the morning, and it bred worms, and stank: and Moses was wroth with them.(KJV-1611) Exo 16:20 Men gen moun ki pa t' koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 16:21 ============ Exo 16:21 And they gathered it every morning, every man according to his eating: and when the sun waxed hot, it melted.(KJV-1611) Exo 16:21 Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.(Creole-HT) ======= Exodus 16:22 ============ Exo 16:22 And it came to pass, that on the sixth day they gathered twice as much bread, two omers for one man: and all the rulers of the congregation came and told Moses.(KJV-1611) Exo 16:22 Sizyèm jou nan senmenn lan, yo te ranmase de fwa lavalè sa yo te konn ranmase chak jou a. Yo te ranmase sèt ti mamit pou chak moun. Tout chèf fanmi ki te alatèt pèp la vin di Moyiz sa.(Creole-HT) ======= Exodus 16:23 ============ Exo 16:23 And he said unto them, This is that which the LORD hath said, To morrow is the rest of the holy sabbath unto the LORD: bake that which ye will bake to day, and seethe that ye will seethe; and that which remaineth over lay up for you to be kept until the morning.(KJV-1611) Exo 16:23 Moyiz reponn yo: -Men lòd Seyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Seyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen.(Creole-HT) ======= Exodus 16:24 ============ Exo 16:24 And they laid it up till the morning, as Moses bade: and it did not stink, neither was there any worm therein.(KJV-1611) Exo 16:24 Jan Moyiz te ba yo lòd la, yo sere rès la pou denmen. Li pa t' gate, vè pa t' tonbe ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 16:25 ============ Exo 16:25 And Moses said, Eat that to day; for to day is a sabbath unto the LORD: to day ye shall not find it in the field.(KJV-1611) Exo 16:25 Moyiz di yo: -Nou mèt manje rès la jòdi a, paske jòdi a se jou repo yo mete apa pou Seyè a. Jòdi a nou p'ap jwenn anyen deyò a.(Creole-HT) ======= Exodus 16:26 ============ Exo 16:26 Six days ye shall gather it; but on the seventh day, which is the sabbath, in it there shall be none.(KJV-1611) Exo 16:26 Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n' ranmase. Men setyèm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase.(Creole-HT) ======= Exodus 16:27 ============ Exo 16:27 And it came to pass, that there went out some of the people on the seventh day for to gather, and they found none.(KJV-1611) Exo 16:27 Setyèm jou a, gen kek moun nan pèp la ki te soti al ranmase manje, men yo pa jwenn anyen.(Creole-HT) ======= Exodus 16:28 ============ Exo 16:28 And the LORD said unto Moses, How long refuse ye to keep my commandments and my laws?(KJV-1611) Exo 16:28 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Kilè n'a sispann dezobeyi lòd ak kòmandman mwen yo?(Creole-HT) ======= Exodus 16:29 ============ Exo 16:29 See, for that the LORD hath given you the sabbath, therefore he giveth you on the sixth day the bread of two days; abide ye every man in his place, let no man go out of his place on the seventh day.(KJV-1611) Exo 16:29 Konprann sa byen, se mwen menm, Seyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pesonn mete tèt deyò.(Creole-HT) ======= Exodus 16:30 ============ Exo 16:30 So the people rested on the seventh day.(KJV-1611) Exo 16:30 Se konsa, lè setyèm jou a rive, pèp la pa fè ankenn travay.(Creole-HT) ======= Exodus 16:31 ============ Exo 16:31 And the house of Israel called the name thereof Manna: and it was like coriander seed, white; and the taste of it was like wafers made with honey.(KJV-1611) Exo 16:31 Pèp Izrayèl la rele manje a laman. Li te gen fòm grenn pitimi. Li te tou blan, li te gen menm gou ak gato ki fèt ak siwo myèl.(Creole-HT) ======= Exodus 16:32 ============ Exo 16:32 And Moses said, This is the thing which the LORD commandeth, Fill an omer of it to be kept for your generations; that they may see the bread wherewith I have fed you in the wilderness, when I brought you forth from the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 16:32 Moyiz di yo: -Men lòd Seyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 16:33 ============ Exo 16:33 And Moses said unto Aaron, Take a pot, and put an omer full of manna therein, and lay it up before the LORD, to be kept for your generations.(KJV-1611) Exo 16:33 Apre sa Moyiz di Arawon: -Pran yon ti ja, mete twa ti mamit edmi laman ladan l'. Mete l' devan Seyè a pou l' ka rete pou pitit pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 16:34 ============ Exo 16:34 As the LORD commanded Moses, so Aaron laid it up before the Testimony, to be kept.(KJV-1611) Exo 16:34 Arawon fè sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 16:35 ============ Exo 16:35 And the children of Israel did eat manna forty years, until they came to a land inhabited; they did eat manna, until they came unto the borders of the land of Canaan.(KJV-1611) Exo 16:35 Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Exodus 16:36 ============ Exo 16:36 Now an omer is the tenth part of an ephah.(KJV-1611) Exo 16:36 Twa ti mamit edmi, se valè twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fè yon gwo bidon.(Creole-HT) ======= Exodus 17:1 ============ Exo 17:1 And all the congregation of the children of Israel journeyed from the wilderness of Sin, after their journeys, according to the commandment of the LORD, and pitched in Rephidim: and there was no water for the people to drink.(KJV-1611) Exo 17:1 Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 17:2 ============ Exo 17:2 Wherefore the people did chide with Moses, and said, Give us water that we may drink. And Moses said unto them, Why chide ye with me? wherefore do ye tempt the LORD?(KJV-1611) Exo 17:2 Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa?(Creole-HT) ======= Exodus 17:3 ============ Exo 17:3 And the people thirsted there for water; and the people murmured against Moses, and said, Wherefore is this that thou hast brought us up out of Egypt, to kill us and our children and our cattle with thirst?(KJV-1611) Exo 17:3 Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo?(Creole-HT) ======= Exodus 17:4 ============ Exo 17:4 And Moses cried unto the LORD, saying, What shall I do unto this people? they be almost ready to stone me.(KJV-1611) Exo 17:4 Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch!(Creole-HT) ======= Exodus 17:5 ============ Exo 17:5 And the LORD said unto Moses, Go on before the people, and take with thee of the elders of Israel; and thy rod, wherewith thou smotest the river, take in thine hand, and go.(KJV-1611) Exo 17:5 Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache.(Creole-HT) ======= Exodus 17:6 ============ Exo 17:6 Behold, I will stand before thee there upon the rock in Horeb; and thou shalt smite the rock, and there shall come water out of it, that the people may drink. And Moses did so in the sight of the elders of Israel.(KJV-1611) Exo 17:6 Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 17:7 ============ Exo 17:7 And he called the name of the place Massah, and Meribah, because of the chiding of the children of Israel, and because they tempted the LORD, saying, Is the LORD among us, or not?(KJV-1611) Exo 17:7 Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non?(Creole-HT) ======= Exodus 17:8 ============ Exo 17:8 Then came Amalek, and fought with Israel in Rephidim.(KJV-1611) Exo 17:8 Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.(Creole-HT) ======= Exodus 17:9 ============ Exo 17:9 And Moses said unto Joshua, Choose us out men, and go out, fight with Amalek: to morrow I will stand on the top of the hill with the rod of God in mine hand.(KJV-1611) Exo 17:9 Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 17:10 ============ Exo 17:10 So Joshua did as Moses had said to him, and fought with Amalek: and Moses, Aaron, and Hur went up to the top of the hill.(KJV-1611) Exo 17:10 Jozye fè tou sa Moyiz te di l' fè. Li soti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our.(Creole-HT) ======= Exodus 17:11 ============ Exo 17:11 And it came to pass, when Moses held up his hand, that Israel prevailed: and when he let down his hand, Amalek prevailed.(KJV-1611) Exo 17:11 Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalèk yo ki te pi fò.(Creole-HT) ======= Exodus 17:12 ============ Exo 17:12 But Moses hands were heavy; and they took a stone, and put it under him, and he sat thereon; and Aaron and Hur stayed up his hands, the one on the one side, and the other on the other side; and his hands were steady until the going down of the sun.(KJV-1611) Exo 17:12 Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche.(Creole-HT) ======= Exodus 17:13 ============ Exo 17:13 And Joshua discomfited Amalek and his people with the edge of the sword.(KJV-1611) Exo 17:13 Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.(Creole-HT) ======= Exodus 17:14 ============ Exo 17:14 And the LORD said unto Moses, Write this for a memorial in a book, and rehearse it in the ears of Joshua: for I will utterly put out the remembrance of Amalek from under heaven.(KJV-1611) Exo 17:14 Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 17:15 ============ Exo 17:15 And Moses built an altar, and called the name of it Jehovahnissi:(KJV-1611) Exo 17:15 Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'.(Creole-HT) ======= Exodus 17:16 ============ Exo 17:16 For he said, Because the LORD hath sworn that the LORD will have war with Amalek from generation to generation.(KJV-1611) Exo 17:16 Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotèy Seyè a, Seyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.(Creole-HT) ======= Exodus 18:1 ============ Exo 18:1 When Jethro, the priest of Midian, Moses' father in law, heard of all that God had done for Moses, and for Israel his people, and that the LORD had brought Israel out of Egypt;(KJV-1611) Exo 18:1 Jetwo te pran nouvèl tou sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prèt nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye.(Creole-HT) ======= Exodus 18:2 ============ Exo 18:2 Then Jethro, Moses' father in law, took Zipporah, Moses' wife, after he had sent her back,(KJV-1611) Exo 18:2 Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Koulye a, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz(Creole-HT) ======= Exodus 18:3 ============ Exo 18:3 And her two sons; of which the name of the one was Gershom; for he said, I have been an alien in a strange land:(KJV-1611) Exo 18:3 ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t'ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon.(Creole-HT) ======= Exodus 18:4 ============ Exo 18:4 And the name of the other was Eliezer; for the God of my father, said he, was mine help, and delivered me from the sword of Pharaoh:(KJV-1611) Exo 18:4 Moyiz te di tou: Se Bondye papa m' ki te pote m' sekou, ki te sove m' anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè.(Creole-HT) ======= Exodus 18:5 ============ Exo 18:5 And Jethro, Moses' father in law, came with his sons and his wife unto Moses into the wilderness, where he encamped at the mount of God:(KJV-1611) Exo 18:5 Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l' yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l' te moute tant li a, sou mòn Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 18:6 ============ Exo 18:6 And he said unto Moses, I thy father in law Jethro am come unto thee, and thy wife, and her two sons with her.(KJV-1611) Exo 18:6 Jetwo voye di Moyiz: -Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k'ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 18:7 ============ Exo 18:7 And Moses went out to meet his father in law, and did obeisance, and kissed him; and they asked each other of their welfare; and they came into the tent.(KJV-1611) Exo 18:7 Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l' pou di li bonjou, epi li bo l'. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.(Creole-HT) ======= Exodus 18:8 ============ Exo 18:8 And Moses told his father in law all that the LORD had done unto Pharaoh and to the Egyptians for Israel's sake, and all the travail that had come upon them by the way, and how the LORD delivered them.(KJV-1611) Exo 18:8 Moyiz rakonte bòpè l' tou sa Seyè a te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di l' tout tray yo te pase nan vwayaj la ak ki jan Seyè a te delivre yo.(Creole-HT) ======= Exodus 18:9 ============ Exo 18:9 And Jethro rejoiced for all the goodness which the LORD had done to Israel, whom he had delivered out of the hand of the Egyptians.(KJV-1611) Exo 18:9 Jetwo te kontan anpil lè l' tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Exodus 18:10 ============ Exo 18:10 And Jethro said, Blessed be the LORD, who hath delivered you out of the hand of the Egyptians, and out of the hand of Pharaoh, who hath delivered the people from under the hand of the Egyptians.(KJV-1611) Exo 18:10 Jetwo di: -Lwanj pou Seyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo!(Creole-HT) ======= Exodus 18:11 ============ Exo 18:11 Now I know that the LORD is greater than all gods: for in the thing wherein they dealt proudly he was above them.(KJV-1611) Exo 18:11 Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t' vle wè yo!(Creole-HT) ======= Exodus 18:12 ============ Exo 18:12 And Jethro, Moses' father in law, took a burnt offering and sacrifices for God: and Aaron came, and all the elders of Israel, to eat bread with Moses' father in law before God.(KJV-1611) Exo 18:12 Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 18:13 ============ Exo 18:13 And it came to pass on the morrow, that Moses sat to judge the people: and the people stood by Moses from the morning unto the evening.(KJV-1611) Exo 18:13 Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t'ap pase devan Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 18:14 ============ Exo 18:14 And when Moses' father in law saw all that he did to the people, he said, What is this thing that thou doest to the people? why sittest thou thyself alone, and all the people stand by thee from morning unto even?(KJV-1611) Exo 18:14 Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?(Creole-HT) ======= Exodus 18:15 ============ Exo 18:15 And Moses said unto his father in law, Because the people come unto me to enquire of God:(KJV-1611) Exo 18:15 Moyiz reponn bòpè l' konsa: -Se sa pou m' fè paske pèp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans.(Creole-HT) ======= Exodus 18:16 ============ Exo 18:16 When they have a matter, they come unto me; and I judge between one and another, and I do make them know the statutes of God, and his laws.(KJV-1611) Exo 18:16 Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.(Creole-HT) ======= Exodus 18:17 ============ Exo 18:17 And Moses' father in law said unto him, The thing that thou doest is not good.(KJV-1611) Exo 18:17 Bòpè Moyiz la di l' konsa: -Jan w'ap fè l' la pa bon.(Creole-HT) ======= Exodus 18:18 ============ Exo 18:18 Thou wilt surely wear away, both thou, and this people that is with thee: for this thing is too heavy for thee; thou art not able to perform it thyself alone.(KJV-1611) Exo 18:18 W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou.(Creole-HT) ======= Exodus 18:19 ============ Exo 18:19 Hearken now unto my voice, I will give thee counsel, and God shall be with thee: Be thou for the people to God-ward, that thou mayest bring the causes unto God:(KJV-1611) Exo 18:19 Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 18:20 ============ Exo 18:20 And thou shalt teach them ordinances and laws, and shalt shew them the way wherein they must walk, and the work that they must do.(KJV-1611) Exo 18:20 W'a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè.(Creole-HT) ======= Exodus 18:21 ============ Exo 18:21 Moreover thou shalt provide out of all the people able men, such as fear God, men of truth, hating covetousness; and place such over them, to be rulers of thousands, and rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens:(KJV-1611) Exo 18:21 Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.(Creole-HT) ======= Exodus 18:22 ============ Exo 18:22 And let them judge the people at all seasons: and it shall be, that every great matter they shall bring unto thee, but every small matter they shall judge: so shall it be easier for thyself, and they shall bear the burden with thee.(KJV-1611) Exo 18:22 Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'.(Creole-HT) ======= Exodus 18:23 ============ Exo 18:23 If thou shalt do this thing, and God command thee so, then thou shalt be able to endure, and all this people shall also go to their place in peace.(KJV-1611) Exo 18:23 Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.(Creole-HT) ======= Exodus 18:24 ============ Exo 18:24 So Moses hearkened to the voice of his father in law, and did all that he had said.(KJV-1611) Exo 18:24 Moyiz koute konsèy bòpè l' la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l' fè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 18:25 ============ Exo 18:25 And Moses chose able men out of all Israel, and made them heads over the people, rulers of thousands, rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens.(KJV-1611) Exo 18:25 Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.(Creole-HT) ======= Exodus 18:26 ============ Exo 18:26 And they judged the people at all seasons: the hard causes they brought unto Moses, but every small matter they judged themselves.(KJV-1611) Exo 18:26 Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.(Creole-HT) ======= Exodus 18:27 ============ Exo 18:27 And Moses let his father in law depart; and he went his way into his own land.(KJV-1611) Exo 18:27 Apre sa, Moyiz kite bòpè l' la pati. Epi Jetwo tounen tounen l' nan peyi l'.(Creole-HT) ======= Exodus 19:1 ============ Exo 19:1 In the third month, when the children of Israel were gone forth out of the land of Egypt, the same day came they into the wilderness of Sinai.(KJV-1611) Exo 19:1 Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a.(Creole-HT) ======= Exodus 19:2 ============ Exo 19:2 For they were departed from Rephidim, and were come to the desert of Sinai, and had pitched in the wilderness; and there Israel camped before the mount.(KJV-1611) Exo 19:2 Lè yo kite Refidim, yo rive nan dezè Sinayi a. Se la yo moute tant yo, anfas mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 19:3 ============ Exo 19:3 And Moses went up unto God, and the LORD called unto him out of the mountain, saying, Thus shalt thou say to the house of Jacob, and tell the children of Israel;(KJV-1611) Exo 19:3 Moyiz moute sou mòn lan, l' al bò kote Bondye. Seyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l': -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen:(Creole-HT) ======= Exodus 19:4 ============ Exo 19:4 Ye have seen what I did unto the Egyptians, and how I bare you on eagles' wings, and brought you unto myself.(KJV-1611) Exo 19:4 Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 19:5 ============ Exo 19:5 Now therefore, if ye will obey my voice indeed, and keep my covenant, then ye shall be a peculiar treasure unto me above all people: for all the earth is mine:(KJV-1611) Exo 19:5 Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.(Creole-HT) ======= Exodus 19:6 ============ Exo 19:6 And ye shall be unto me a kingdom of priests, and an holy nation. These are the words which thou shalt speak unto the children of Israel.(KJV-1611) Exo 19:6 Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:7 ============ Exo 19:7 And Moses came and called for the elders of the people, and laid before their faces all these words which the LORD commanded him.(KJV-1611) Exo 19:7 Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:8 ============ Exo 19:8 And all the people answered together, and said, All that the LORD hath spoken we will do. And Moses returned the words of the people unto the LORD.(KJV-1611) Exo 19:8 Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 19:9 ============ Exo 19:9 And the LORD said unto Moses, Lo, I come unto thee in a thick cloud, that the people may hear when I speak with thee, and believe thee for ever. And Moses told the words of the people unto the LORD.(KJV-1611) Exo 19:9 Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn.(Creole-HT) ======= Exodus 19:10 ============ Exo 19:10 And the LORD said unto Moses, Go unto the people, and sanctify them to day and to morrow, and let them wash their clothes,(KJV-1611) Exo 19:10 Seyè a di Moyiz: -Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:11 ============ Exo 19:11 And be ready against the third day: for the third day the LORD will come down in the sight of all the people upon mount Sinai.(KJV-1611) Exo 19:11 Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.(Creole-HT) ======= Exodus 19:12 ============ Exo 19:12 And thou shalt set bounds unto the people round about, saying, Take heed to yourselves, that ye go not up into the mount, or touch the border of it: whosoever toucheth the mount shall be surely put to death:(KJV-1611) Exo 19:12 W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 19:13 ============ Exo 19:13 There shall not an hand touch it, but he shall surely be stoned, or shot through; whether it be beast or man, it shall not live: when the trumpet soundeth long, they shall come up to the mount.(KJV-1611) Exo 19:13 y'a kalonnen l' kout ròch osinon y'a pèse l' ak kout flèch jouk li mouri, san pesonn p'ap bezwen manyen li ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l'. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 19:14 ============ Exo 19:14 And Moses went down from the mount unto the people, and sanctified the people; and they washed their clothes.(KJV-1611) Exo 19:14 Moyiz desann soti sou mòn lan, l' al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Yo lave rad yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:15 ============ Exo 19:15 And he said unto the people, Be ready against the third day: come not at your wives.(KJV-1611) Exo 19:15 Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.(Creole-HT) ======= Exodus 19:16 ============ Exo 19:16 And it came to pass on the third day in the morning, that there were thunders and lightnings, and a thick cloud upon the mount, and the voice of the trumpet exceeding loud; so that all the people that was in the camp trembled.(KJV-1611) Exo 19:16 Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= Exodus 19:17 ============ Exo 19:17 And Moses brought forth the people out of the camp to meet with God; and they stood at the nether part of the mount.(KJV-1611) Exo 19:17 Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 19:18 ============ Exo 19:18 And mount Sinai was altogether on a smoke, because the LORD descended upon it in fire: and the smoke thereof ascended as the smoke of a furnace, and the whole mount quaked greatly.(KJV-1611) Exo 19:18 Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.(Creole-HT) ======= Exodus 19:19 ============ Exo 19:19 And when the voice of the trumpet sounded long, and waxed louder and louder, Moses spake, and God answered him by a voice.(KJV-1611) Exo 19:19 Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.(Creole-HT) ======= Exodus 19:20 ============ Exo 19:20 And the LORD came down upon mount Sinai, on the top of the mount: and the LORD called Moses up to the top of the mount; and Moses went up.(KJV-1611) Exo 19:20 Seyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li.(Creole-HT) ======= Exodus 19:21 ============ Exo 19:21 And the LORD said unto Moses, Go down, charge the people, lest they break through unto the LORD to gaze, and many of them perish.(KJV-1611) Exo 19:21 Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 19:22 ============ Exo 19:22 And let the priests also, which come near to the LORD, sanctify themselves, lest the LORD break forth upon them.(KJV-1611) Exo 19:22 Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m', se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:23 ============ Exo 19:23 And Moses said unto the LORD, The people cannot come up to mount Sinai: for thou chargedst us, saying, Set bounds about the mount, and sanctify it.(KJV-1611) Exo 19:23 Moyiz di Seyè a: -Pèp la p'ap kapab moute sou mòn Sinayi a, paske se ou menm ki defann yo moute, lè ou te di: Trase yon limit toutalantou mòn lan, mete l' apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 19:24 ============ Exo 19:24 And the LORD said unto him, Away, get thee down, and thou shalt come up, thou, and Aaron with thee: but let not the priests and the people break through to come up unto the LORD, lest he break forth upon them.(KJV-1611) Exo 19:24 Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 19:25 ============ Exo 19:25 So Moses went down unto the people, and spake unto them.(KJV-1611) Exo 19:25 Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay.(Creole-HT) ======= Exodus 20:1 ============ Exo 20:1 And God spake all these words, saying,(KJV-1611) Exo 20:1 Bondye pran pale, li di:(Creole-HT) ======= Exodus 20:2 ============ Exo 20:2 I am the LORD thy God, which have brought thee out of the land of Egypt, out of the house of bondage.(KJV-1611) Exo 20:2 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.(Creole-HT) ======= Exodus 20:3 ============ Exo 20:3 Thou shalt have no other gods before me.(KJV-1611) Exo 20:3 Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.(Creole-HT) ======= Exodus 20:4 ============ Exo 20:4 Thou shalt not make unto thee any graven image, or any likeness of any thing that is in heaven above, or that is in the earth beneath, or that is in the water under the earth.(KJV-1611) Exo 20:4 Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.(Creole-HT) ======= Exodus 20:5 ============ Exo 20:5 Thou shalt not bow down thyself to them, nor serve them: for I the LORD thy God am a jealous God, visiting the iniquity of the fathers upon the children unto the third and fourth generation of them that hate me;(KJV-1611) Exo 20:5 Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.(Creole-HT) ======= Exodus 20:6 ============ Exo 20:6 And shewing mercy unto thousands of them that love me, and keep my commandments.(KJV-1611) Exo 20:6 Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.(Creole-HT) ======= Exodus 20:7 ============ Exo 20:7 Thou shalt not take the name of the LORD thy God in vain; for the LORD will not hold him guiltless that taketh his name in vain.(KJV-1611) Exo 20:7 Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.(Creole-HT) ======= Exodus 20:8 ============ Exo 20:8 Remember the sabbath day, to keep it holy.(KJV-1611) Exo 20:8 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 20:9 ============ Exo 20:9 Six days shalt thou labour, and do all thy work:(KJV-1611) Exo 20:9 N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè.(Creole-HT) ======= Exodus 20:10 ============ Exo 20:10 But the seventh day is the sabbath of the LORD thy God: in it thou shalt not do any work, thou, nor thy son, nor thy daughter, thy manservant, nor thy maidservant, nor thy cattle, nor thy stranger that is within thy gates:(KJV-1611) Exo 20:10 Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:11 ============ Exo 20:11 For in six days the LORD made heaven and earth, the sea, and all that in them is, and rested the seventh day: wherefore the LORD blessed the sabbath day, and hallowed it.(KJV-1611) Exo 20:11 Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.(Creole-HT) ======= Exodus 20:12 ============ Exo 20:12 Honour thy father and thy mother: that thy days may be long upon the land which the LORD thy God giveth thee.(KJV-1611) Exo 20:12 Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 20:13 ============ Exo 20:13 Thou shalt not kill.(KJV-1611) Exo 20:13 Piga nou touye moun.(Creole-HT) ======= Exodus 20:14 ============ Exo 20:14 Thou shalt not commit adultery.(KJV-1611) Exo 20:14 Piga nou fè adiltè.(Creole-HT) ======= Exodus 20:15 ============ Exo 20:15 Thou shalt not steal.(KJV-1611) Exo 20:15 Piga nou pran sa ki pa pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:16 ============ Exo 20:16 Thou shalt not bear false witness against thy neighbour.(KJV-1611) Exo 20:16 Piga nou bay manti sou frè parèy nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:17 ============ Exo 20:17 Thou shalt not covet thy neighbour's house, thou shalt not covet thy neighbour's wife, nor his manservant, nor his maidservant, nor his ox, nor his ass, nor any thing that is thy neighbour's.(KJV-1611) Exo 20:17 Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:18 ============ Exo 20:18 And all the people saw the thunderings, and the lightnings, and the noise of the trumpet, and the mountain smoking: and when the people saw it, they removed, and stood afar off.(KJV-1611) Exo 20:18 Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.(Creole-HT) ======= Exodus 20:19 ============ Exo 20:19 And they said unto Moses, Speak thou with us, and we will hear: but let not God speak with us, lest we die.(KJV-1611) Exo 20:19 Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n'a koute sa w'ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n'a mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 20:20 ============ Exo 20:20 And Moses said unto the people, Fear not: for God is come to prove you, and that his fear may be before your faces, that ye sin not.(KJV-1611) Exo 20:20 Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.(Creole-HT) ======= Exodus 20:21 ============ Exo 20:21 And the people stood afar off, and Moses drew near unto the thick darkness where God was.(KJV-1611) Exo 20:21 Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.(Creole-HT) ======= Exodus 20:22 ============ Exo 20:22 And the LORD said unto Moses, Thus thou shalt say unto the children of Israel, Ye have seen that I have talked with you from heaven.(KJV-1611) Exo 20:22 Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:23 ============ Exo 20:23 Ye shall not make with me gods of silver, neither shall ye make unto you gods of gold.(KJV-1611) Exo 20:23 Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'.(Creole-HT) ======= Exodus 20:24 ============ Exo 20:24 An altar of earth thou shalt make unto me, and shalt sacrifice thereon thy burnt offerings, and thy peace offerings, thy sheep, and thine oxen: in all places where I record my name I will come unto thee, and I will bless thee.(KJV-1611) Exo 20:24 N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.(Creole-HT) ======= Exodus 20:25 ============ Exo 20:25 And if thou wilt make me an altar of stone, thou shalt not build it of hewn stone: for if thou lift up thy tool upon it, thou hast polluted it.(KJV-1611) Exo 20:25 Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n'a pran pou fè l' la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 20:26 ============ Exo 20:26 Neither shalt thou go up by steps unto mine altar, that thy nakedness be not discovered thereon.(KJV-1611) Exo 20:26 Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lòtèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.(Creole-HT) ======= Exodus 21:1 ============ Exo 21:1 Now these are the judgments which thou shalt set before them.(KJV-1611) Exo 21:1 -Men regleman w'a mete devan moun pèp Izrayèl yo:(Creole-HT) ======= Exodus 21:2 ============ Exo 21:2 If thou buy an Hebrew servant, six years he shall serve: and in the seventh he shall go out free for nothing.(KJV-1611) Exo 21:2 Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou.(Creole-HT) ======= Exodus 21:3 ============ Exo 21:3 If he came in by himself, he shall go out by himself: if he were married, then his wife shall go out with him.(KJV-1611) Exo 21:3 Si li te pou kont li lè l' te vini an, li va ale pou kont li. Si li te gen madanm lè l' te vini an, madanm lan va ale avè l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:4 ============ Exo 21:4 If his master have given him a wife, and she have born him sons or daughters; the wife and her children shall be her master's, and he shall go out by himself.(KJV-1611) Exo 21:4 Si se mèt li ki te ba li madanm, epi madanm lan te fè pitit pou li, ni pitit yo, ni manman lan va rete pou mèt la. Msye va al fè wout li pou kont li.(Creole-HT) ======= Exodus 21:5 ============ Exo 21:5 And if the servant shall plainly say, I love my master, my wife, and my children; I will not go out free:(KJV-1611) Exo 21:5 Men, si esklav la di: Mwen renmen mèt mwen, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen yo, mwen pa vle vin lib ankò,(Creole-HT) ======= Exodus 21:6 ============ Exo 21:6 Then his master shall bring him unto the judges; he shall also bring him to the door, or unto the door post; and his master shall bore his ear through with an aul; and he shall serve him for ever.(KJV-1611) Exo 21:6 enben, lè sa a, mèt la va mennen l' devan Bondye. L'a fè l' pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 21:7 ============ Exo 21:7 And if a man sell his daughter to be a maidservant, she shall not go out as the menservants do.(KJV-1611) Exo 21:7 Lè yon nonm vann pitit fi li pou sèvi esklav, pitit fi sa a pa ka lib ankò, jan yo ka fè l' pou gason yo.(Creole-HT) ======= Exodus 21:8 ============ Exo 21:8 If she please not her master, who hath betrothed her to himself, then shall he let her be redeemed: to sell her unto a strange nation he shall have no power, seeing he hath dealt deceitfully with her.(KJV-1611) Exo 21:8 Si mèt la te fin dakò pou l' te pran fi a pou madanm, epi si apre sa fi a pa fè l' plezi ankò, msye va fè yon jan pou papa ak manman fi a achte l' nan men li ankò. Men, li pa gen dwa vann li bay yon moun lòt nasyon, paske se trayi l'a trayi fi a lè sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 21:9 ============ Exo 21:9 And if he have betrothed her unto his son, he shall deal with her after the manner of daughters.(KJV-1611) Exo 21:9 Men, si li te fè lide bay pitit gason l' fi a, se pou l' aji avè l' tankou si se te pròp pitit fi li.(Creole-HT) ======= Exodus 21:10 ============ Exo 21:10 If he take him another wife; her food, her raiment, and her duty of marriage, shall he not diminish.(KJV-1611) Exo 21:10 Si li pran yon lòt madanm sou li, li pa gen dwa wete anyen sou sa li dwe l': ni sou manje l', ni sou rad li, epi se pou l' toujou sevi ak li tankou madanm li.(Creole-HT) ======= Exodus 21:11 ============ Exo 21:11 And if he do not these three unto her, then shall she go out free without money.(KJV-1611) Exo 21:11 Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, madanm lan gen dwa ale fè wout li, san li pa gen anyen pou l' peye mèt la, san bay senk kòb.(Creole-HT) ======= Exodus 21:12 ============ Exo 21:12 He that smiteth a man, so that he die, shall be surely put to death.(KJV-1611) Exo 21:12 Si yon moun leve men l' sou yon lòt, epi li touye l', moun sa a, se pou yo touye l' tou.(Creole-HT) ======= Exodus 21:13 ============ Exo 21:13 And if a man lie not in wait, but God deliver him into his hand; then I will appoint thee a place whither he shall flee.(KJV-1611) Exo 21:13 Men, si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l', m'ap chwazi yon kote pou l' ale kache kò l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:14 ============ Exo 21:14 But if a man come presumptuously upon his neighbour, to slay him with guile; thou shalt take him from mine altar, that he may die.(KJV-1611) Exo 21:14 Men, si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l', li te mèt al kache bò kote lòtèl mwen an, se pou n al pran l' pou nou touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:15 ============ Exo 21:15 And he that smiteth his father, or his mother, shall be surely put to death.(KJV-1611) Exo 21:15 Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:16 ============ Exo 21:16 And he that stealeth a man, and selleth him, or if he be found in his hand, he shall surely be put to death.(KJV-1611) Exo 21:16 Si yon moun pran yon lòt pa fòs pou l' al vann li osinon pou kenbe l' lakay li, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:17 ============ Exo 21:17 And he that curseth his father, or his mother, shall surely be put to death.(KJV-1611) Exo 21:17 Si yon moun bay papa l' osinon manman l' madichon, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:18 ============ Exo 21:18 And if men strive together, and one smite another with a stone, or with his fist, and he die not, but keepeth his bed:(KJV-1611) Exo 21:18 Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sak resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle:(Creole-HT) ======= Exodus 21:19 ============ Exo 21:19 If he rise again, and walk abroad upon his staff, then shall he that smote him be quit: only he shall pay for the loss of his time, and shall cause him to be thoroughly healed.(KJV-1611) Exo 21:19 Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri.(Creole-HT) ======= Exodus 21:20 ============ Exo 21:20 And if a man smite his servant, or his maid, with a rod, and he die under his hand; he shall be surely punished.(KJV-1611) Exo 21:20 Lè yon moun leve men l' sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 21:21 ============ Exo 21:21 Notwithstanding, if he continue a day or two, he shall not be punished: for he is his money.(KJV-1611) Exo 21:21 Men, si esklav la fè yon jou osinon de jou anvan l' mouri, se pa nesesè pou yo pini mèt la, paske se lajan pa l' li te mete deyò pou l' achte l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:22 ============ Exo 21:22 If men strive, and hurt a woman with child, so that her fruit depart from her, and yet no mischief follow: he shall be surely punished, according as the woman's husband will lay upon him; and he shall pay as the judges determine.(KJV-1611) Exo 21:22 Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside.(Creole-HT) ======= Exodus 21:23 ============ Exo 21:23 And if any mischief follow, then thou shalt give life for life,(KJV-1611) Exo 21:23 Men, si malè rive fanm lan, y'a fè l' peye lavi pou lavi,(Creole-HT) ======= Exodus 21:24 ============ Exo 21:24 Eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot,(KJV-1611) Exo 21:24 yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye,(Creole-HT) ======= Exodus 21:25 ============ Exo 21:25 Burning for burning, wound for wound, stripe for stripe.(KJV-1611) Exo 21:25 boule pou boule, blese pou blese, foule pou foule.(Creole-HT) ======= Exodus 21:26 ============ Exo 21:26 And if a man smite the eye of his servant, or the eye of his maid, that it perish; he shall let him go free for his eye's sake.(KJV-1611) Exo 21:26 Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l' pou dedomajman pou je a.(Creole-HT) ======= Exodus 21:27 ============ Exo 21:27 And if he smite out his manservant's tooth, or his maidservant's tooth; he shall let him go free for his tooth's sake.(KJV-1611) Exo 21:27 Si se dan yon esklav li rache, l'a ba li libète li pou dedomajman pou dan an.(Creole-HT) ======= Exodus 21:28 ============ Exo 21:28 If an ox gore a man or a woman, that they die: then the ox shall be surely stoned, and his flesh shall not be eaten; but the owner of the ox shall be quit.(KJV-1611) Exo 21:28 Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.(Creole-HT) ======= Exodus 21:29 ============ Exo 21:29 But if the ox were wont to push with his horn in time past, and it hath been testified to his owner, and he hath not kept him in, but that he hath killed a man or a woman; the ox shall be stoned, and his owner also shall be put to death.(KJV-1611) Exo 21:29 Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'.(Creole-HT) ======= Exodus 21:30 ============ Exo 21:30 If there be laid on him a sum of money, then he shall give for the ransom of his life whatsoever is laid upon him.(KJV-1611) Exo 21:30 Men, si yo mande mèt bèf la pou l' peye pou l' ka sove lavi pa l', se pou l' peye tou sa y'a mande l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 21:31 ============ Exo 21:31 Whether he have gored a son, or have gored a daughter, according to this judgment shall it be done unto him.(KJV-1611) Exo 21:31 Si bèf la atake yon ti gason osinon yon ti fi, se menm règleman an ki pou fèt.(Creole-HT) ======= Exodus 21:32 ============ Exo 21:32 If the ox shall push a manservant or a maidservant; he shall give unto their master thirty shekels of silver, and the ox shall be stoned.(KJV-1611) Exo 21:32 Si bèf la atake yon esklav, kit se gason, kit se fi, mèt bèf la va bay mèt esklav la trant pyès an ajan. Bèf la menm, y'a touye l' ak koutwòch.(Creole-HT) ======= Exodus 21:33 ============ Exo 21:33 And if a man shall open a pit, or if a man shall dig a pit, and not cover it, and an ox or an ass fall therein;(KJV-1611) Exo 21:33 Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l' san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l',(Creole-HT) ======= Exodus 21:34 ============ Exo 21:34 The owner of the pit shall make it good, and give money unto the owner of them; and the dead beast shall be his.(KJV-1611) Exo 21:34 se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a.(Creole-HT) ======= Exodus 21:35 ============ Exo 21:35 And if one man's ox hurt another's, that he die; then they shall sell the live ox, and divide the money of it; and the dead ox also they shall divide.(KJV-1611) Exo 21:35 Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. y'a separe vyann bèf ki mouri a tou.(Creole-HT) ======= Exodus 21:36 ============ Exo 21:36 Or if it be known that the ox hath used to push in time past, and his owner hath not kept him in; he shall surely pay ox for ox; and the dead shall be his own.(KJV-1611) Exo 21:36 Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li.(Creole-HT) ======= Exodus 22:1 ============ Exo 22:1 If a man shall steal an ox, or a sheep, and kill it, or sell it; he shall restore five oxen for an ox, and four sheep for a sheep.(KJV-1611) Exo 22:1 Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an.(Creole-HT) ======= Exodus 22:2 ============ Exo 22:2 If a thief be found breaking up, and be smitten that he die, there shall no blood be shed for him.(KJV-1611) Exo 22:2 Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab.(Creole-HT) ======= Exodus 22:3 ============ Exo 22:3 If the sun be risen upon him, there shall be blood shed for him; for he should make full restitution; if he have nothing, then he shall be sold for his theft.(KJV-1611) Exo 22:3 Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a.(Creole-HT) ======= Exodus 22:4 ============ Exo 22:4 If the theft be certainly found in his hand alive, whether it be ox, or ass, or sheep; he shall restore double.(KJV-1611) Exo 22:4 Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn.(Creole-HT) ======= Exodus 22:5 ============ Exo 22:5 If a man shall cause a field or vineyard to be eaten, and shall put in his beast, and shall feed in another man's field; of the best of his own field, and of the best of his own vineyard, shall he make restitution.(KJV-1611) Exo 22:5 Si yon moun kite bèt li manje nan jaden yon lòt, osinon nan jaden rezen li, si yon moun kite bèt li lage pou yo fè kont dega nan jaden yon lòt moun, li gen pou l' dedonmaje lòt moun lan. L'a ba li pi bon bagay li gen nan jaden pa l' la osinon nan jaden rezen l' yo.(Creole-HT) ======= Exodus 22:6 ============ Exo 22:6 If fire break out, and catch in thorns, so that the stacks of corn, or the standing corn, or the field, be consumed therewith; he that kindled the fire shall surely make restitution.(KJV-1611) Exo 22:6 Si yon dife pran yon kote, li tonbe nan zèb chèch epi li rive boule danre ki nan depo, osinon grenn ki fin keyi, ou ankò yon jaden tou plante, moun ki lakòz dife a va peye yon dedomajman.(Creole-HT) ======= Exodus 22:7 ============ Exo 22:7 If a man shall deliver unto his neighbour money or stuff to keep, and it be stolen out of the man's house; if the thief be found, let him pay double.(KJV-1611) Exo 22:7 Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè.(Creole-HT) ======= Exodus 22:8 ============ Exo 22:8 If the thief be not found, then the master of the house shall be brought unto the judges, to see whether he have put his hand unto his neighbour's goods.(KJV-1611) Exo 22:8 Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan.(Creole-HT) ======= Exodus 22:9 ============ Exo 22:9 For all manner of trespass, whether it be for ox, for ass, for sheep, for raiment, or for any manner of lost thing which another challengeth to be his, the cause of both parties shall come before the judges; and whom the judges shall condemn, he shall pay double unto his neighbour.(KJV-1611) Exo 22:9 Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman.(Creole-HT) ======= Exodus 22:10 ============ Exo 22:10 If a man deliver unto his neighbour an ass, or an ox, or a sheep, or any beast, to keep; and it die, or be hurt, or driven away, no man seeing it:(KJV-1611) Exo 22:10 Si yon moun bay yon frè parèy li gade yon bourik, yon bèf, yon mouton, ou ankò nenpòt ki lòt bèt pou li, si bèt la mouri osinon si malè rive l' ou ankò si piyajè pran l' san pesonn pa wè sa,(Creole-HT) ======= Exodus 22:11 ============ Exo 22:11 Then shall an oath of the LORD be between them both, that he hath not put his hand unto his neighbour's goods; and the owner of it shall accept thereof, and he shall not make it good.(KJV-1611) Exo 22:11 lè sa a, y'a mande ni mèt bèt la ni gadò a pou yo fè sèman devan lòtèl Bondye a. Moun ki t'ap gade bèt la va deklare se pa li menm ki te pran bèt lòt moun lan. Lè sa a, mèt bèt la va asepte pèt la. Gadò a p'ap gen ankenn dedomajman pou l' bay.(Creole-HT) ======= Exodus 22:12 ============ Exo 22:12 And if it be stolen from him, he shall make restitution unto the owner thereof.(KJV-1611) Exo 22:12 Men si se vòlò yo te vòlò bèt la nan men l', l'a gen pou l' peye mèt la kichòy.(Creole-HT) ======= Exodus 22:13 ============ Exo 22:13 If it be torn in pieces, then let him bring it for witness, and he shall not make good that which was torn.(KJV-1611) Exo 22:13 Si se bèt nan bwa ki devore bèt la, l'a pote rès la pou mèt bèt la ka wè ak de je l' se pa manti l'ap ba li. Li p'ap gen anyen pou l' peye pou sa.(Creole-HT) ======= Exodus 22:14 ============ Exo 22:14 And if a man borrow ought of his neighbour, and it be hurt, or die, the owner thereof being not with it, he shall surely make it good.(KJV-1611) Exo 22:14 Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l' peye mèt bèt la kichòy.(Creole-HT) ======= Exodus 22:15 ============ Exo 22:15 But if the owner thereof be with it, he shall not make it good: if it be an hired thing, it came for his hire.(KJV-1611) Exo 22:15 Men, si mèt la te la lè malè a rive, moun lan pa gen anyen pou l' peye. Si se yon bèt li te lwe, se pri li te lwe l' la ase pou li bay.(Creole-HT) ======= Exodus 22:16 ============ Exo 22:16 And if a man entice a maid that is not betrothed, and lie with her, he shall surely endow her to be his wife.(KJV-1611) Exo 22:16 Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l', li gen pou l' peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l' marye ak jenn fi a.(Creole-HT) ======= Exodus 22:17 ============ Exo 22:17 If her father utterly refuse to give her unto him, he shall pay money according to the dowry of virgins.(KJV-1611) Exo 22:17 Men, si papa jenn fi a refize kite l' marye avè l', tout jan se pou msye peye lajan yo bay lè yo pral marye ak yon fi ki tifi.(Creole-HT) ======= Exodus 22:18 ============ Exo 22:18 Thou shalt not suffer a witch to live.(KJV-1611) Exo 22:18 Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji.(Creole-HT) ======= Exodus 22:19 ============ Exo 22:19 Whosoever lieth with a beast shall surely be put to death.(KJV-1611) Exo 22:19 Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.(Creole-HT) ======= Exodus 22:20 ============ Exo 22:20 He that sacrificeth unto any god, save unto the LORD only, he shall be utterly destroyed.(KJV-1611) Exo 22:20 Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 22:21 ============ Exo 22:21 Thou shalt neither vex a stranger, nor oppress him: for ye were strangers in the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 22:21 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 22:22 ============ Exo 22:22 Ye shall not afflict any widow, or fatherless child.(KJV-1611) Exo 22:22 Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 22:23 ============ Exo 22:23 If thou afflict them in any wise, and they cry at all unto me, I will surely hear their cry;(KJV-1611) Exo 22:23 Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou.(Creole-HT) ======= Exodus 22:24 ============ Exo 22:24 And my wrath shall wax hot, and I will kill you with the sword; and your wives shall be widows, and your children fatherless.(KJV-1611) Exo 22:24 m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.(Creole-HT) ======= Exodus 22:25 ============ Exo 22:25 If thou lend money to any of my people that is poor by thee, thou shalt not be to him as an usurer, neither shalt thou lay upon him usury.(KJV-1611) Exo 22:25 Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l' peye enterè.(Creole-HT) ======= Exodus 22:26 ============ Exo 22:26 If thou at all take thy neighbour's raiment to pledge, thou shalt deliver it unto him by that the sun goeth down:(KJV-1611) Exo 22:26 Si yon nonm plane levit li lakay ou pou ou prete l' yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.(Creole-HT) ======= Exodus 22:27 ============ Exo 22:27 For that is his covering only, it is his raiment for his skin: wherein shall he sleep? and it shall come to pass, when he crieth unto me, that I will hear; for I am gracious.(KJV-1611) Exo 22:27 Paske, se sèl rad li gen pou l' mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l' mete sou li pou l' kouvri aswè? Si li rele mande m' sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.(Creole-HT) ======= Exodus 22:28 ============ Exo 22:28 Thou shalt not revile the gods, nor curse the ruler of thy people.(KJV-1611) Exo 22:28 Piga nou pale Bondye mal. Piga nou bay chèf pèp la madichon.(Creole-HT) ======= Exodus 22:29 ============ Exo 22:29 Thou shalt not delay to offer the first of thy ripe fruits, and of thy liquors: the firstborn of thy sons shalt thou give unto me.(KJV-1611) Exo 22:29 Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 22:30 ============ Exo 22:30 Likewise shalt thou do with thine oxen, and with thy sheep: seven days it shall be with his dam; on the eighth day thou shalt give it me.(KJV-1611) Exo 22:30 N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l'. Sou wityèm jou a n'a ofri l' ban mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 22:31 ============ Exo 22:31 And ye shall be holy men unto me: neither shall ye eat any flesh that is torn of beasts in the field; ye shall cast it to the dogs.(KJV-1611) Exo 22:31 Se pou nou mache tankou moun k'ap viv apa pou mwen. Pa manje vyann bèt nou jwenn lòt bèt nan bwa devore. Vyann konsa se chen pou nou jete l' bay.(Creole-HT) ======= Exodus 23:1 ============ Exo 23:1 Thou shalt not raise a false report: put not thine hand with the wicked to be an unrighteous witness.(KJV-1611) Exo 23:1 Piga nou fè manti sou frè parèy nou. Lè n'ap sèvi temwen, piga nou bay manti pou ede yon mechan.(Creole-HT) ======= Exodus 23:2 ============ Exo 23:2 Thou shalt not follow a multitude to do evil; neither shalt thou speak in a cause to decline after many to wrest judgment:(KJV-1611) Exo 23:2 Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.(Creole-HT) ======= Exodus 23:3 ============ Exo 23:3 Neither shalt thou countenance a poor man in his cause.(KJV-1611) Exo 23:3 Konsa tou, lè gen pwose, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li.(Creole-HT) ======= Exodus 23:4 ============ Exo 23:4 If thou meet thine enemy's ox or his ass going astray, thou shalt surely bring it back to him again.(KJV-1611) Exo 23:4 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li.(Creole-HT) ======= Exodus 23:5 ============ Exo 23:5 If thou see the ass of him that hateth thee lying under his burden, and wouldest forbear to help him, thou shalt surely help with him.(KJV-1611) Exo 23:5 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe.(Creole-HT) ======= Exodus 23:6 ============ Exo 23:6 Thou shalt not wrest the judgment of thy poor in his cause.(KJV-1611) Exo 23:6 Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis.(Creole-HT) ======= Exodus 23:7 ============ Exo 23:7 Keep thee far from a false matter; and the innocent and righteous slay thou not: for I will not justify the wicked.(KJV-1611) Exo 23:7 Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Exodus 23:8 ============ Exo 23:8 And thou shalt take no gift: for the gift blindeth the wise, and perverteth the words of the righteous.(KJV-1611) Exo 23:8 Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.(Creole-HT) ======= Exodus 23:9 ============ Exo 23:9 Also thou shalt not oppress a stranger: for ye know the heart of a stranger, seeing ye were strangers in the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 23:9 Piga nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi.(Creole-HT) ======= Exodus 23:10 ============ Exo 23:10 And six years thou shalt sow thy land, and shalt gather in the fruits thereof:(KJV-1611) Exo 23:10 Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay.(Creole-HT) ======= Exodus 23:11 ============ Exo 23:11 But the seventh year thou shalt let it rest and lie still; that the poor of thy people may eat: and what they leave the beasts of the field shall eat. In like manner thou shalt deal with thy vineyard, and with thy oliveyard.(KJV-1611) Exo 23:11 Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 23:12 ============ Exo 23:12 Six days thou shalt do thy work, and on the seventh day thou shalt rest: that thine ox and thine ass may rest, and the son of thy handmaid, and the stranger, may be refreshed.(KJV-1611) Exo 23:12 N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:13 ============ Exo 23:13 And in all things that I have said unto you be circumspect: and make no mention of the name of other gods, neither let it be heard out of thy mouth.(KJV-1611) Exo 23:13 Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:14 ============ Exo 23:14 Three times thou shalt keep a feast unto me in the year.(KJV-1611) Exo 23:14 Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 23:15 ============ Exo 23:15 Thou shalt keep the feast of unleavened bread: (thou shalt eat unleavened bread seven days, as I commanded thee, in the time appointed of the month Abib; for in it thou camest out from Egypt: and none shall appear before me empty:)(KJV-1611) Exo 23:15 N'a fè fèt Pen san ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa Abib la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gen dwa parèt devan m' de men vid.(Creole-HT) ======= Exodus 23:16 ============ Exo 23:16 And the feast of harvest, the firstfruits of thy labours, which thou hast sown in the field: and the feast of ingathering, which is in the end of the year, when thou hast gathered in thy labours out of the field.(KJV-1611) Exo 23:16 Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 23:17 ============ Exo 23:17 Three items in the year all thy males shall appear before the LORD God.(KJV-1611) Exo 23:17 Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Seyè a, Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 23:18 ============ Exo 23:18 Thou shalt not offer the blood of my sacrifice with leavened bread; neither shall the fat of my sacrifice remain until the morning.(KJV-1611) Exo 23:18 Lè n'ap touye yon bèt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fèt ak ledven. Piga nou sere grès bèt la tout lannwit jouk denmen maten.(Creole-HT) ======= Exodus 23:19 ============ Exo 23:19 The first of the firstfruits of thy land thou shalt bring into the house of the LORD thy God. Thou shalt not seethe a kid in his mother's milk.(KJV-1611) Exo 23:19 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.(Creole-HT) ======= Exodus 23:20 ============ Exo 23:20 Behold, I send an Angel before thee, to keep thee in the way, and to bring thee into the place which I have prepared.(KJV-1611) Exo 23:20 Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 23:21 ============ Exo 23:21 Beware of him, and obey his voice, provoke him not; for he will not pardon your transgressions: for my name is in him.(KJV-1611) Exo 23:21 Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 23:22 ============ Exo 23:22 But if thou shalt indeed obey his voice, and do all that I speak; then I will be an enemy unto thine enemies, and an adversary unto thine adversaries.(KJV-1611) Exo 23:22 Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:23 ============ Exo 23:23 For mine Angel shall go before thee, and bring thee in unto the Amorites, and the Hittites, and the Perizzites, and the Canaanites, the Hivites, and the Jebusites: and I will cut them off.(KJV-1611) Exo 23:23 Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.(Creole-HT) ======= Exodus 23:24 ============ Exo 23:24 Thou shalt not bow down to their gods, nor serve them, nor do after their works: but thou shalt utterly overthrow them, and quite break down their images.(KJV-1611) Exo 23:24 Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 23:25 ============ Exo 23:25 And ye shall serve the LORD your God, and he shall bless thy bread, and thy water; and I will take sickness away from the midst of thee.(KJV-1611) Exo 23:25 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n' manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:26 ============ Exo 23:26 There shall nothing cast their young, nor be barren, in thy land: the number of thy days I will fulfil.(KJV-1611) Exo 23:26 Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè foskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun.(Creole-HT) ======= Exodus 23:27 ============ Exo 23:27 I will send my fear before thee, and will destroy all the people to whom thou shalt come, and I will make all thine enemies turn their backs unto thee.(KJV-1611) Exo 23:27 M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:28 ============ Exo 23:28 And I will send hornets before thee, which shall drive out the Hivite, the Canaanite, and the Hittite, from before thee.(KJV-1611) Exo 23:28 m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:29 ============ Exo 23:29 I will not drive them out from before thee in one year; lest the land become desolate, and the beast of the field multiply against thee.(KJV-1611) Exo 23:29 Mwen p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:30 ============ Exo 23:30 By little and little I will drive them out from before thee, until thou be increased, and inherit the land.(KJV-1611) Exo 23:30 Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:31 ============ Exo 23:31 And I will set thy bounds from the Red sea even unto the sea of the Philistines, and from the desert unto the river: for I will deliver the inhabitants of the land into your hand; and thou shalt drive them out before thee.(KJV-1611) Exo 23:31 M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.(Creole-HT) ======= Exodus 23:32 ============ Exo 23:32 Thou shalt make no covenant with them, nor with their gods.(KJV-1611) Exo 23:32 Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 23:33 ============ Exo 23:33 They shall not dwell in thy land, lest they make thee sin against me: for if thou serve their gods, it will surely be a snare unto thee.(KJV-1611) Exo 23:33 Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 24:1 ============ Exo 24:1 And he said unto Moses, Come up unto the LORD, thou, and Aaron, Nadab, and Abihu, and seventy of the elders of Israel; and worship ye afar off.(KJV-1611) Exo 24:1 Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.(Creole-HT) ======= Exodus 24:2 ============ Exo 24:2 And Moses alone shall come near the LORD: but they shall not come nigh; neither shall the people go up with him.(KJV-1611) Exo 24:2 Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, l'a vin bò kote m'. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 24:3 ============ Exo 24:3 And Moses came and told the people all the words of the LORD, and all the judgments: and all the people answered with one voice, and said, All the words which the LORD hath said will we do.(KJV-1611) Exo 24:3 Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè.(Creole-HT) ======= Exodus 24:4 ============ Exo 24:4 And Moses wrote all the words of the LORD, and rose up early in the morning, and builded an altar under the hill, and twelve pillars, according to the twelve tribes of Israel.(KJV-1611) Exo 24:4 Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.(Creole-HT) ======= Exodus 24:5 ============ Exo 24:5 And he sent young men of the children of Israel, which offered burnt offerings, and sacrificed peace offerings of oxen unto the LORD.(KJV-1611) Exo 24:5 Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi.(Creole-HT) ======= Exodus 24:6 ============ Exo 24:6 And Moses took half of the blood, and put it in basons; and half of the blood he sprinkled on the altar.(KJV-1611) Exo 24:6 Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l' nan ganmèl. Lòt mwatye a, li vide l' sou lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 24:7 ============ Exo 24:7 And he took the book of the covenant, and read in the audience of the people: and they said, All that the LORD hath said will we do, and be obedient.(KJV-1611) Exo 24:7 Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'.(Creole-HT) ======= Exodus 24:8 ============ Exo 24:8 And Moses took the blood, and sprinkled it on the people, and said, Behold the blood of the covenant, which the LORD hath made with you concerning all these words.(KJV-1611) Exo 24:8 Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l' sou pèp la, li di: -San sa a sèvi pou siyen kontra Seyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo.(Creole-HT) ======= Exodus 24:9 ============ Exo 24:9 Then went up Moses, and Aaron, Nadab, and Abihu, and seventy of the elders of Israel:(KJV-1611) Exo 24:9 Moyiz moute sou mòn lan ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 24:10 ============ Exo 24:10 And they saw the God of Israel: and there was under his feet as it were a paved work of a sapphire stone, and as it were the body of heaven in his clearness.(KJV-1611) Exo 24:10 Yo te wè Bondye pèp Izrayèl la. Anba pye l', te gen yon bagay plat fèt ak bèl pyè kristal ble yo rele safi. Li te klè tankou syèl la lè pa gen yon ti nwaj menm ladan li.(Creole-HT) ======= Exodus 24:11 ============ Exo 24:11 And upon the nobles of the children of Israel he laid not his hand: also they saw God, and did eat and drink.(KJV-1611) Exo 24:11 Seyè a pa t' fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè.(Creole-HT) ======= Exodus 24:12 ============ Exo 24:12 And the LORD said unto Moses, Come up to me into the mount, and be there: and I will give thee tables of stone, and a law, and commandments which I have written; that thou mayest teach them.(KJV-1611) Exo 24:12 Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 24:13 ============ Exo 24:13 And Moses rose up, and his minister Joshua: and Moses went up into the mount of God.(KJV-1611) Exo 24:13 Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 24:14 ============ Exo 24:14 And he said unto the elders, Tarry ye here for us, until we come again unto you: and, behold, Aaron and Hur are with you: if any man have any matters to do, let him come unto them.(KJV-1611) Exo 24:14 Anvan Moyiz te ale, li di chèf fanmi yo: -Rete tann nou isit la jouk nou tounen. Men Arawon ak Our ap rete ak nou. Si yon moun bezwen regle yon pwoblèm, li mèt al jwenn yo.(Creole-HT) ======= Exodus 24:15 ============ Exo 24:15 And Moses went up into the mount, and a cloud covered the mount.(KJV-1611) Exo 24:15 Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 24:16 ============ Exo 24:16 And the glory of the LORD abode upon mount Sinai, and the cloud covered it six days: and the seventh day he called unto Moses out of the midst of the cloud.(KJV-1611) Exo 24:16 Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 24:17 ============ Exo 24:17 And the sight of the glory of the LORD was like devouring fire on the top of the mount in the eyes of the children of Israel.(KJV-1611) Exo 24:17 Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 24:18 ============ Exo 24:18 And Moses went into the midst of the cloud, and gat him up into the mount: and Moses was in the mount forty days and forty nights.(KJV-1611) Exo 24:18 Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 25:1 ============ Exo 25:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 25:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Exodus 25:2 ============ Exo 25:2 Speak unto the children of Israel, that they bring me an offering: of every man that giveth it willingly with his heart ye shall take my offering.(KJV-1611) Exo 25:2 -Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Exodus 25:3 ============ Exo 25:3 And this is the offering which ye shall take of them; gold, and silver, and brass,(KJV-1611) Exo 25:3 Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv,(Creole-HT) ======= Exodus 25:4 ============ Exo 25:4 And blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats' hair,(KJV-1611) Exo 25:4 bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit,(Creole-HT) ======= Exodus 25:5 ============ Exo 25:5 And rams' skins dyed red, and badgers' skins, and shittim wood,(KJV-1611) Exo 25:5 po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya,(Creole-HT) ======= Exodus 25:6 ============ Exo 25:6 Oil for the light, spices for anointing oil, and for sweet incense,(KJV-1611) Exo 25:6 lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a,(Creole-HT) ======= Exodus 25:7 ============ Exo 25:7 Onyx stones, and stones to be set in the ephod, and in the breastplate.(KJV-1611) Exo 25:7 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 25:8 ============ Exo 25:8 And let them make me a sanctuary; that I may dwell among them.(KJV-1611) Exo 25:8 y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:9 ============ Exo 25:9 According to all that I shew thee, after the pattern of the tabernacle, and the pattern of all the instruments thereof, even so shall ye make it.(KJV-1611) Exo 25:9 W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a.(Creole-HT) ======= Exodus 25:10 ============ Exo 25:10 And they shall make an ark of shittim wood: two cubits and a half shall be the length thereof, and a cubit and a half the breadth thereof, and a cubit and a half the height thereof.(KJV-1611) Exo 25:10 y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 25:11 ============ Exo 25:11 And thou shalt overlay it with pure gold, within and without shalt thou overlay it, and shalt make upon it a crown of gold round about.(KJV-1611) Exo 25:11 W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li.(Creole-HT) ======= Exodus 25:12 ============ Exo 25:12 And thou shalt cast four rings of gold for it, and put them in the four corners thereof; and two rings shall be in the one side of it, and two rings in the other side of it.(KJV-1611) Exo 25:12 W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.(Creole-HT) ======= Exodus 25:13 ============ Exo 25:13 And thou shalt make staves of shittim wood, and overlay them with gold.(KJV-1611) Exo 25:13 W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 25:14 ============ Exo 25:14 And thou shalt put the staves into the rings by the sides of the ark, that the ark may be borne with them.(KJV-1611) Exo 25:14 W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la.(Creole-HT) ======= Exodus 25:15 ============ Exo 25:15 The staves shall be in the rings of the ark: they shall not be taken from it.(KJV-1611) Exo 25:15 Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:16 ============ Exo 25:16 And thou shalt put into the ark the testimony which I shall give thee.(KJV-1611) Exo 25:16 Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la.(Creole-HT) ======= Exodus 25:17 ============ Exo 25:17 And thou shalt make a mercy seat of pure gold: two cubits and a half shall be the length thereof, and a cubit and a half the breadth thereof.(KJV-1611) Exo 25:17 W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 25:18 ============ Exo 25:18 And thou shalt make two cherubims of gold, of beaten work shalt thou make them, in the two ends of the mercy seat.(KJV-1611) Exo 25:18 W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,(Creole-HT) ======= Exodus 25:19 ============ Exo 25:19 And make one cherub on the one end, and the other cherub on the other end: even of the mercy seat shall ye make the cherubims on the two ends thereof.(KJV-1611) Exo 25:19 yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'.(Creole-HT) ======= Exodus 25:20 ============ Exo 25:20 And the cherubims shall stretch forth their wings on high, covering the mercy seat with their wings, and their faces shall look one to another; toward the mercy seat shall the faces of the cherubims be.(KJV-1611) Exo 25:20 Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.(Creole-HT) ======= Exodus 25:21 ============ Exo 25:21 And thou shalt put the mercy seat above upon the ark; and in the ark thou shalt put the testimony that I shall give thee.(KJV-1611) Exo 25:21 W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 25:22 ============ Exo 25:22 And there I will meet with thee, and I will commune with thee from above the mercy seat, from between the two cherubims which are upon the ark of the testimony, of all things which I will give thee in commandment unto the children of Israel.(KJV-1611) Exo 25:22 Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:23 ============ Exo 25:23 Thou shalt also make a table of shittim wood: two cubits shall be the length thereof, and a cubit the breadth thereof, and a cubit and a half the height thereof.(KJV-1611) Exo 25:23 W'a fè yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 25:24 ============ Exo 25:24 And thou shalt overlay it with pure gold, and make thereto a crown of gold round about.(KJV-1611) Exo 25:24 W'a kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen. W'a mete yon bòdi an lò fè wonn li.(Creole-HT) ======= Exodus 25:25 ============ Exo 25:25 And thou shalt make unto it a border of an hand breadth round about, and thou shalt make a golden crown to the border thereof round about.(KJV-1611) Exo 25:25 W'a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 25:26 ============ Exo 25:26 And thou shalt make for it four rings of gold, and put the rings in the four corners that are on the four feet thereof.(KJV-1611) Exo 25:26 W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.(Creole-HT) ======= Exodus 25:27 ============ Exo 25:27 Over against the border shall the rings be for places of the staves to bear the table.(KJV-1611) Exo 25:27 W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la.(Creole-HT) ======= Exodus 25:28 ============ Exo 25:28 And thou shalt make the staves of shittim wood, and overlay them with gold, that the table may be borne with them.(KJV-1611) Exo 25:28 W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la.(Creole-HT) ======= Exodus 25:29 ============ Exo 25:29 And thou shalt make the dishes thereof, and spoons thereof, and covers thereof, and bowls thereof, to cover withal: of pure gold shalt thou make them.(KJV-1611) Exo 25:29 W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 25:30 ============ Exo 25:30 And thou shalt set upon the table shewbread before me alway.(KJV-1611) Exo 25:30 Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 25:31 ============ Exo 25:31 And thou shalt make a candlestick of pure gold: of beaten work shall the candlestick be made: his shaft, and his branches, his bowls, his knops, and his flowers, shall be of the same.(KJV-1611) Exo 25:31 W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.(Creole-HT) ======= Exodus 25:32 ============ Exo 25:32 And six branches shall come out of the sides of it; three branches of the candlestick out of the one side, and three branches of the candlestick out of the other side:(KJV-1611) Exo 25:32 Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò.(Creole-HT) ======= Exodus 25:33 ============ Exo 25:33 Three bowls made like unto almonds, with a knop and a flower in one branch; and three bowls made like almonds in the other branch, with a knop and a flower: so in the six branches that come out of the candlestick.(KJV-1611) Exo 25:33 Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:34 ============ Exo 25:34 And in the candlesticks shall be four bowls made like unto almonds, with their knops and their flowers.(KJV-1611) Exo 25:34 Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:35 ============ Exo 25:35 And there shall be a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, according to the six branches that proceed out of the candlestick.(KJV-1611) Exo 25:35 W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.(Creole-HT) ======= Exodus 25:36 ============ Exo 25:36 Their knops and their branches shall be of the same: all it shall be one beaten work of pure gold.(KJV-1611) Exo 25:36 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a.(Creole-HT) ======= Exodus 25:37 ============ Exo 25:37 And thou shalt make the seven lamps thereof: and they shall light the lamps thereof, that they may give light over against it.(KJV-1611) Exo 25:37 y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.(Creole-HT) ======= Exodus 25:38 ============ Exo 25:38 And the tongs thereof, and the snuffdishes thereof, shall be of pure gold.(KJV-1611) Exo 25:38 N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen.(Creole-HT) ======= Exodus 25:39 ============ Exo 25:39 Of a talent of pure gold shall he make it, with all these vessels.(KJV-1611) Exo 25:39 N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan.(Creole-HT) ======= Exodus 25:40 ============ Exo 25:40 And look that thou make them after their pattern, which was shewed thee in the mount.(KJV-1611) Exo 25:40 Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 26:1 ============ Exo 26:1 Moreover thou shalt make the tabernacle with ten curtains of fine twined linen, and blue, and purple, and scarlet: with cherubims of cunning work shalt thou make them.(KJV-1611) Exo 26:1 N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.(Creole-HT) ======= Exodus 26:2 ============ Exo 26:2 The length of one curtain shall be eight and twenty cubits, and the breadth of one curtain four cubits: and every one of the curtains shall have one measure.(KJV-1611) Exo 26:2 Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.(Creole-HT) ======= Exodus 26:3 ============ Exo 26:3 The five curtains shall be coupled together one to another; and other five curtains shall be coupled one to another.(KJV-1611) Exo 26:3 N'a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Exodus 26:4 ============ Exo 26:4 And thou shalt make loops of blue upon the edge of the one curtain from the selvedge in the coupling; and likewise shalt thou make in the uttermost edge of another curtain, in the coupling of the second.(KJV-1611) Exo 26:4 Lè w'a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w'a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W'a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo.(Creole-HT) ======= Exodus 26:5 ============ Exo 26:5 Fifty loops shalt thou make in the one curtain, and fifty loops shalt thou make in the edge of the curtain that is in the coupling of the second; that the loops may take hold one of another.(KJV-1611) Exo 26:5 W'a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W'a fè yo koresponn de pa de.(Creole-HT) ======= Exodus 26:6 ============ Exo 26:6 And thou shalt make fifty taches of gold, and couple the curtains together with the taches: and it shall be one tabernacle.(KJV-1611) Exo 26:6 W'a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant.(Creole-HT) ======= Exodus 26:7 ============ Exo 26:7 And thou shalt make curtains of goats' hair to be a covering upon the tabernacle: eleven curtains shalt thou make.(KJV-1611) Exo 26:7 W'a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:8 ============ Exo 26:8 The length of one curtain shall be thirty cubits, and the breadth of one curtain four cubits: and the eleven curtains shall be all of one measure.(KJV-1611) Exo 26:8 Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.(Creole-HT) ======= Exodus 26:9 ============ Exo 26:9 And thou shalt couple five curtains by themselves, and six curtains by themselves, and shalt double the sixth curtain in the forefront of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 26:9 W'a pran senk ladan yo, w'a koud yo ansanm. Apre sa, w'a pran lòt sis yo, w'a koud yo ansanm tou. W'a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 26:10 ============ Exo 26:10 And thou shalt make fifty loops on the edge of the one curtain that is outmost in the coupling, and fifty loops in the edge of the curtain which coupleth the second.(KJV-1611) Exo 26:10 W'a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la.(Creole-HT) ======= Exodus 26:11 ============ Exo 26:11 And thou shalt make fifty taches of brass, and put the taches into the loops, and couple the tent together, that it may be one.(KJV-1611) Exo 26:11 W'a fè senkant ti kwòk an kwiv, w'a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant.(Creole-HT) ======= Exodus 26:12 ============ Exo 26:12 And the remnant that remaineth of the curtains of the tent, the half curtain that remaineth, shall hang over the backside of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 26:12 Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l'.(Creole-HT) ======= Exodus 26:13 ============ Exo 26:13 And a cubit on the one side, and a cubit on the other side of that which remaineth in the length of the curtains of the tent, it shall hang over the sides of the tabernacle on this side and on that side, to cover it.(KJV-1611) Exo 26:13 Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k'ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l'.(Creole-HT) ======= Exodus 26:14 ============ Exo 26:14 And thou shalt make a covering for the tent of rams' skins dyed red, and a covering above of badgers' skins.(KJV-1611) Exo 26:14 W'a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W'a tenn li wouj. Apre sa, w'a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:15 ============ Exo 26:15 And thou shalt make boards for the tabernacle of shittim wood standing up.(KJV-1611) Exo 26:15 W'a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:16 ============ Exo 26:16 Ten cubits shall be the length of a board, and a cubit and a half shall be the breadth of one board.(KJV-1611) Exo 26:16 Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 26:17 ============ Exo 26:17 Two tenons shall there be in one board, set in order one against another: thus shalt thou make for all the boards of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 26:17 Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Exodus 26:18 ============ Exo 26:18 And thou shalt make the boards for the tabernacle, twenty boards on the south side southward.(KJV-1611) Exo 26:18 Lè w'ap fè ankadreman yo, w'a fè ven pou bò sid la.(Creole-HT) ======= Exodus 26:19 ============ Exo 26:19 And thou shalt make forty sockets of silver under the twenty boards; two sockets under one board for his two tenons, and two sockets under another board for his two tenons.(KJV-1611) Exo 26:19 W'a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita.(Creole-HT) ======= Exodus 26:20 ============ Exo 26:20 And for the second side of the tabernacle on the north side there shall be twenty boards:(KJV-1611) Exo 26:20 Konsa tou, w'a fè ven ankadreman pou bò nò a(Creole-HT) ======= Exodus 26:21 ============ Exo 26:21 And their forty sockets of silver; two sockets under one board, and two sockets under another board.(KJV-1611) Exo 26:21 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.(Creole-HT) ======= Exodus 26:22 ============ Exo 26:22 And for the sides of the tabernacle westward thou shalt make six boards.(KJV-1611) Exo 26:22 W'a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la,(Creole-HT) ======= Exodus 26:23 ============ Exo 26:23 And two boards shalt thou make for the corners of the tabernacle in the two sides.(KJV-1611) Exo 26:23 ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:24 ============ Exo 26:24 And they shall be coupled together beneath, and they shall be coupled together above the head of it unto one ring: thus shall it be for them both; they shall be for the two corners.(KJV-1611) Exo 26:24 Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y'a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w'a moute de ankadreman k'ap fè kwen yo.(Creole-HT) ======= Exodus 26:25 ============ Exo 26:25 And they shall be eight boards, and their sockets of silver, sixteen sockets; two sockets under one board, and two sockets under another board.(KJV-1611) Exo 26:25 Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman.(Creole-HT) ======= Exodus 26:26 ============ Exo 26:26 And thou shalt make bars of shittim wood; five for the boards of the one side of the tabernacle,(KJV-1611) Exo 26:26 W'a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a,(Creole-HT) ======= Exodus 26:27 ============ Exo 26:27 And five bars for the boards of the other side of the tabernacle, and five bars for the boards of the side of the tabernacle, for the two sides westward.(KJV-1611) Exo 26:27 senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè.(Creole-HT) ======= Exodus 26:28 ============ Exo 26:28 And the middle bar in the midst of the boards shall reach from end to end.(KJV-1611) Exo 26:28 Travès mitan an, k'ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout.(Creole-HT) ======= Exodus 26:29 ============ Exo 26:29 And thou shalt overlay the boards with gold, and make their rings of gold for places for the bars: and thou shalt overlay the bars with gold.(KJV-1611) Exo 26:29 W'a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W'a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W'a kouvri travès yo ak lò tou.(Creole-HT) ======= Exodus 26:30 ============ Exo 26:30 And thou shalt rear up the tabernacle according to the fashion thereof which was shewed thee in the mount.(KJV-1611) Exo 26:30 W'a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 26:31 ============ Exo 26:31 And thou shalt make a vail of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen of cunning work: with cherubims shall it be made:(KJV-1611) Exo 26:31 W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:32 ============ Exo 26:32 And thou shalt hang it upon four pillars of shittim wood overlaid with gold: their hooks shall be of gold, upon the four sockets of silver.(KJV-1611) Exo 26:32 W'a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y'a gen kwòk an lò moute sou yo. y'a chita sou kat sipò an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 26:33 ============ Exo 26:33 And thou shalt hang up the vail under the taches, that thou mayest bring in thither within the vail the ark of the testimony: and the vail shall divide unto you between the holy place and the most holy.(KJV-1611) Exo 26:33 Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:34 ============ Exo 26:34 And thou shalt put the mercy seat upon the ark of the testimony in the most holy place.(KJV-1611) Exo 26:34 W'a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:35 ============ Exo 26:35 And thou shalt set the table without the vail, and the candlestick over against the table on the side of the tabernacle toward the south: and thou shalt put the table on the north side.(KJV-1611) Exo 26:35 W'a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:36 ============ Exo 26:36 And thou shalt make an hanging for the door of the tent, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen, wrought with needlework.(KJV-1611) Exo 26:36 Konsa tou, w'a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y'a fè bèl bodri sou tout rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 26:37 ============ Exo 26:37 And thou shalt make for the hanging five pillars of shittim wood, and overlay them with gold, and their hooks shall be of gold: and thou shalt cast five sockets of brass for them.(KJV-1611) Exo 26:37 Pou kenbe rido a, w'a fè senk poto an bwa zakasya, w'a kouvri yo ak lò, w'a moute ti kwòk an lò sou yo. y'a chita sou senk sipò an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:1 ============ Exo 27:1 And thou shalt make an altar of shittim wood, five cubits long, and five cubits broad; the altar shall be foursquare: and the height thereof shall be three cubits.(KJV-1611) Exo 27:1 W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 27:2 ============ Exo 27:2 And thou shalt make the horns of it upon the four corners thereof: his horns shall be of the same: and thou shalt overlay it with brass.(KJV-1611) Exo 27:2 W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:3 ============ Exo 27:3 And thou shalt make his pans to receive his ashes, and his shovels, and his basons, and his fleshhooks, and his firepans: all the vessels thereof thou shalt make of brass.(KJV-1611) Exo 27:3 Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:4 ============ Exo 27:4 And thou shalt make for it a grate of network of brass; and upon the net shalt thou make four brasen rings in the four corners thereof.(KJV-1611) Exo 27:4 Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la.(Creole-HT) ======= Exodus 27:5 ============ Exo 27:5 And thou shalt put it under the compass of the altar beneath, that the net may be even to the midst of the altar.(KJV-1611) Exo 27:5 W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 27:6 ============ Exo 27:6 And thou shalt make staves for the altar, staves of shittim wood, and overlay them with brass.(KJV-1611) Exo 27:6 W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:7 ============ Exo 27:7 And the staves shall be put into the rings, and the staves shall be upon the two sides of the altar, to bear it.(KJV-1611) Exo 27:7 W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'.(Creole-HT) ======= Exodus 27:8 ============ Exo 27:8 Hollow with boards shalt thou make it: as it was shewed thee in the mount, so shall they make it.(KJV-1611) Exo 27:8 Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 27:9 ============ Exo 27:9 And thou shalt make the court of the tabernacle: for the south side southward there shall be hangings for the court of fine twined linen of an hundred cubits long for one side:(KJV-1611) Exo 27:9 W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 27:10 ============ Exo 27:10 And the twenty pillars thereof and their twenty sockets shall be of brass; the hooks of the pillars and their fillets shall be of silver.(KJV-1611) Exo 27:10 Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 27:11 ============ Exo 27:11 And likewise for the north side in length there shall be hangings of an hundred cubits long, and his twenty pillars and their twenty sockets of brass; the hooks of the pillars and their fillets of silver.(KJV-1611) Exo 27:11 Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 27:12 ============ Exo 27:12 And for the breadth of the court on the west side shall be hangings of fifty cubits: their pillars ten, and their sockets ten.(KJV-1611) Exo 27:12 Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò.(Creole-HT) ======= Exodus 27:13 ============ Exo 27:13 And the breadth of the court on the east side eastward shall be fifty cubits.(KJV-1611) Exo 27:13 Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 27:14 ============ Exo 27:14 The hangings of one side of the gate shall be fifteen cubits: their pillars three, and their sockets three.(KJV-1611) Exo 27:14 Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.(Creole-HT) ======= Exodus 27:15 ============ Exo 27:15 And on the other side shall be hangings fifteen cubits: their pillars three, and their sockets three.(KJV-1611) Exo 27:15 Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.(Creole-HT) ======= Exodus 27:16 ============ Exo 27:16 And for the gate of the court shall be an hanging of twenty cubits, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen, wrought with needlework: and their pillars shall be four, and their sockets four.(KJV-1611) Exo 27:16 Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 27:17 ============ Exo 27:17 All the pillars round about the court shall be filleted with silver; their hooks shall be of silver, and their sockets of brass.(KJV-1611) Exo 27:17 Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:18 ============ Exo 27:18 The length of the court shall be an hundred cubits, and the breadth fifty every where, and the height five cubits of fine twined linen, and their sockets of brass.(KJV-1611) Exo 27:18 Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:19 ============ Exo 27:19 All the vessels of the tabernacle in all the service thereof, and all the pins thereof, and all the pins of the court, shall be of brass.(KJV-1611) Exo 27:19 Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 27:20 ============ Exo 27:20 And thou shalt command the children of Israel, that they bring thee pure oil olive beaten for the light, to cause the lamp to burn always.(KJV-1611) Exo 27:20 W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen.(Creole-HT) ======= Exodus 27:21 ============ Exo 27:21 In the tabernacle of the congregation without the vail, which is before the testimony, Aaron and his sons shall order it from evening to morning before the LORD: it shall be a statute for ever unto their generations on the behalf of the children of Israel.(KJV-1611) Exo 27:21 Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 28:1 ============ Exo 28:1 And take thou unto thee Aaron thy brother, and his sons with him, from among the children of Israel, that he may minister unto me in the priest's office, even Aaron, Nadab and Abihu, Eleazar and Ithamar, Aaron's sons.(KJV-1611) Exo 28:1 W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 28:2 ============ Exo 28:2 And thou shalt make holy garments for Aaron thy brother for glory and for beauty.(KJV-1611) Exo 28:2 W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l' ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li.(Creole-HT) ======= Exodus 28:3 ============ Exo 28:3 And thou shalt speak unto all that are wise hearted, whom I have filled with the spirit of wisdom, that they may make Aaron's garments to consecrate him, that he may minister unto me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 28:3 W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 28:4 ============ Exo 28:4 And these are the garments which they shall make; a breastplate, and an ephod, and a robe, and a broidered coat, a mitre, and a girdle: and they shall make holy garments for Aaron thy brother, and his sons, that he may minister unto me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 28:4 Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 28:5 ============ Exo 28:5 And they shall take gold, and blue, and purple, and scarlet, and fine linen.(KJV-1611) Exo 28:5 Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen.(Creole-HT) ======= Exodus 28:6 ============ Exo 28:6 And they shall make the ephod of gold, of blue, and of purple, of scarlet, and fine twined linen, with cunning work.(KJV-1611) Exo 28:6 y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li.(Creole-HT) ======= Exodus 28:7 ============ Exo 28:7 It shall have the two shoulderpieces thereof joined at the two edges thereof; and so it shall be joined together.(KJV-1611) Exo 28:7 Va gen de zèpòlèt, yonn chak bò jile a. Se yo ki pou tache moso devan an ak moso dèyè a ansanm.(Creole-HT) ======= Exodus 28:8 ============ Exo 28:8 And the curious girdle of the ephod, which is upon it, shall be of the same, according to the work thereof; even of gold, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen.(KJV-1611) Exo 28:8 Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. y'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere.(Creole-HT) ======= Exodus 28:9 ============ Exo 28:9 And thou shalt take two onyx stones, and grave on them the names of the children of Israel:(KJV-1611) Exo 28:9 W'a pran de pyè oniks, w'a grave non branch fanmi douz pitit Izrayèl yo sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:10 ============ Exo 28:10 Six of their names on one stone, and the other six names of the rest on the other stone, according to their birth.(KJV-1611) Exo 28:10 W'a grave non sis sou yon pyè, ak non sis sou lòt la, dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:11 ============ Exo 28:11 With the work of an engraver in stone, like the engravings of a signet, shalt thou engrave the two stones with the names of the children of Israel: thou shalt make them to be set in ouches of gold.(KJV-1611) Exo 28:11 Avèk ladrès òfèv ki konn grave non sou bag, ou ankò ladrès atizan ki konn fè so, w'a grave non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou de pyè yo, epi w'a moute pyè yo chak sou yon moso lò.(Creole-HT) ======= Exodus 28:12 ============ Exo 28:12 And thou shalt put the two stones upon the shoulders of the ephod for stones of memorial unto the children of Israel: and Aaron shall bear their names before the LORD upon his two shoulders for a memorial.(KJV-1611) Exo 28:12 W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:13 ============ Exo 28:13 And thou shalt make ouches of gold;(KJV-1611) Exo 28:13 W'a pran de moso lò pou moute pyè yo sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:14 ============ Exo 28:14 And two chains of pure gold at the ends; of wreathen work shalt thou make them, and fasten the wreathen chains to the ouches.(KJV-1611) Exo 28:14 W'a fè de ti chenn ak pi bon kalite lò ki genyen. Chenn yo va trese tankou ti kòdon. W'a tache yo sou moso lò yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:15 ============ Exo 28:15 And thou shalt make the breastplate of judgment with cunning work; after the work of the ephod thou shalt make it; of gold, of blue, and of purple, and of scarlet, and of fine twined linen, shalt thou make it.(KJV-1611) Exo 28:15 W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.(Creole-HT) ======= Exodus 28:16 ============ Exo 28:16 Foursquare it shall be being doubled; a span shall be the length thereof, and a span shall be the breadth thereof.(KJV-1611) Exo 28:16 Plastwon an va mezire nèf pous kare kare, l'a double.(Creole-HT) ======= Exodus 28:17 ============ Exo 28:17 And thou shalt set in it settings of stones, even four rows of stones: the first row shall be a sardius, a topaz, and a carbuncle: this shall be the first row.(KJV-1611) Exo 28:17 W'a moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, va gen yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd.(Creole-HT) ======= Exodus 28:18 ============ Exo 28:18 And the second row shall be an emerald, a sapphire, and a diamond.(KJV-1611) Exo 28:18 Nan dezyèm ranje a, va gen yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman.(Creole-HT) ======= Exodus 28:19 ============ Exo 28:19 And the third row a ligure, an agate, and an amethyst.(KJV-1611) Exo 28:19 Nan twazyèm ranje a, va gen yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis.(Creole-HT) ======= Exodus 28:20 ============ Exo 28:20 And the fourth row a beryl, and an onyx, and a jasper: they shall be set in gold in their inclosings.(KJV-1611) Exo 28:20 Nan katriyèm ranje a, va gen yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. y'a moute tout pyè sa yo chak sou yon moso lò.(Creole-HT) ======= Exodus 28:21 ============ Exo 28:21 And the stones shall be with the names of the children of Israel, twelve, according to their names, like the engravings of a signet; every one with his name shall they be according to the twelve tribes.(KJV-1611) Exo 28:21 Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.(Creole-HT) ======= Exodus 28:22 ============ Exo 28:22 And thou shalt make upon the breastplate chains at the ends of wreathen work of pure gold.(KJV-1611) Exo 28:22 W'a pran pi bon kalite lò ki genyen, w'a fè de ti chenn pou plastwon an. W'a trese yo tankou ti kòdon.(Creole-HT) ======= Exodus 28:23 ============ Exo 28:23 And thou shalt make upon the breastplate two rings of gold, and shalt put the two rings on the two ends of the breastplate.(KJV-1611) Exo 28:23 W'a fè de ti bag an lò, w'a tache yo nan de bout anwo plastwon an.(Creole-HT) ======= Exodus 28:24 ============ Exo 28:24 And thou shalt put the two wreathen chains of gold in the two rings which are on the ends of the breastplate.(KJV-1611) Exo 28:24 W'a mare de ti chenn yo nan de bag yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:25 ============ Exo 28:25 And the other two ends of the two wreathen chains thou shalt fasten in the two ouches, and put them on the shoulderpieces of the ephod before it.(KJV-1611) Exo 28:25 W'a pran de lòt bout chenn yo, w'a fè yo pase pa devan jile a, w'a tache yo sou de moso lò ki sou zèpòlèt jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:26 ============ Exo 28:26 And thou shalt make two rings of gold, and thou shalt put them upon the two ends of the breastplate in the border thereof, which is in the side of the ephod inward.(KJV-1611) Exo 28:26 W'a fè ankò de lòt bag an lò, w'a tache yo nan de bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:27 ============ Exo 28:27 And two other rings of gold thou shalt make, and shalt put them on the two sides of the ephod underneath, toward the forepart thereof, over against the other coupling thereof, above the curious girdle of the ephod.(KJV-1611) Exo 28:27 W'a fè de lòt bag an lò ankò, w'a tache yo anba zèpòlèt jile a pa devan, toupre kouti a anwo tèt sentiwon bwode a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:28 ============ Exo 28:28 And they shall bind the breastplate by the rings thereof unto the rings of the ephod with a lace of blue, that it may be above the curious girdle of the ephod, and that the breastplate be not loosed from the ephod.(KJV-1611) Exo 28:28 y'a mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:29 ============ Exo 28:29 And Aaron shall bear the names of the children of Israel in the breastplate of judgment upon his heart, when he goeth in unto the holy place, for a memorial before the LORD continually.(KJV-1611) Exo 28:29 Lè Arawon va antre nan kote ki apa pou Bondye a, l'a pote non branch fanmi pèp Izrayèl yo sou kè l', sou plastwon an, konsa Seyè a p'ap janm bliye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:30 ============ Exo 28:30 And thou shalt put in the breastplate of judgment the Urim and the Thummim; and they shall be upon Aaron's heart, when he goeth in before the LORD: and Aaron shall bear the judgment of the children of Israel upon his heart before the LORD continually.(KJV-1611) Exo 28:30 W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'.(Creole-HT) ======= Exodus 28:31 ============ Exo 28:31 And thou shalt make the robe of the ephod all of blue.(KJV-1611) Exo 28:31 W'a pran twal ble pou fè rad ki ale anba jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:32 ============ Exo 28:32 And there shall be an hole in the top of it, in the midst thereof: it shall have a binding of woven work round about the hole of it, as it were the hole of an habergeon, that it be not rent.(KJV-1611) Exo 28:32 Nan mitan rad la, w'a fè yon twou pou l' pase tèt li. W'a mete yon doubli nan ankoli a, tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire.(Creole-HT) ======= Exodus 28:33 ============ Exo 28:33 And beneath upon the hem of it thou shalt make pomegranates of blue, and of purple, and of scarlet, round about the hem thereof; and bells of gold between them round about:(KJV-1611) Exo 28:33 Sou tout woulèt anba rad la, w'a pran twal ble, violèt ak wouj, w'a fè bodri an fòm grenad ak ti klòch an lò nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:34 ============ Exo 28:34 A golden bell and a pomegranate, a golden bell and a pomegranate, upon the hem of the robe round about.(KJV-1611) Exo 28:34 Sou tout woulèt rad la va gen yon grenad, yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, jouk yo fè tout tou rad la.(Creole-HT) ======= Exodus 28:35 ============ Exo 28:35 And it shall be upon Aaron to minister: and his sound shall be heard when he goeth in unto the holy place before the LORD, and when he cometh out, that he die not.(KJV-1611) Exo 28:35 Se rad sa a Arawon va mete sou li lè li pral fè sèvis. Lè l'ap antre kote yo mete apa pou Bondye a pou l' parèt devan lòtèl Seyè a, ansanm ak lè l'ap soti, y'a tande ti klòch yo ap sonnen. Konsa li p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 28:36 ============ Exo 28:36 And thou shalt make a plate of pure gold, and grave upon it, like the engravings of a signet, HOLINESS TO THE LORD.(KJV-1611) Exo 28:36 W'a fè fè yon ti plak ak pi bon kalite lò ki genyen. Tankou lè y'ap fè so, w'a grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 28:37 ============ Exo 28:37 And thou shalt put it on a blue lace, that it may be upon the mitre; upon the forefront of the mitre it shall be.(KJV-1611) Exo 28:37 W'a mare l' sou devan mouchwa tèt la avèk yon ti kòdon ble.(Creole-HT) ======= Exodus 28:38 ============ Exo 28:38 And it shall be upon Aaron's forehead, that Aaron may bear the iniquity of the holy things, which the children of Israel shall hallow in all their holy gifts; and it shall be always upon his forehead, that they may be accepted before the LORD.(KJV-1611) Exo 28:38 Arawon va mete l' sou fwon li, konsa Arawon va pran sou tèt li tou sa pèp Izrayèl la va fè ki mal lè y'ap pote ofrann apa yo bay Seyè a. Arawon va toujou pote l' sou fwon li pou ofrann yo ka toujou fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Exodus 28:39 ============ Exo 28:39 And thou shalt embroider the coat of fine linen, and thou shalt make the mitre of fine linen, and thou shalt make the girdle of needlework.(KJV-1611) Exo 28:39 W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl.(Creole-HT) ======= Exodus 28:40 ============ Exo 28:40 And for Aaron's sons thou shalt make coats, and thou shalt make for them girdles, and bonnets shalt thou make for them, for glory and for beauty.(KJV-1611) Exo 28:40 W'a fè rad, sentiwon ak bonnèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:41 ============ Exo 28:41 And thou shalt put them upon Aaron thy brother, and his sons with him; and shalt anoint them, and consecrate them, and sanctify them, that they may minister unto me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 28:41 Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 28:42 ============ Exo 28:42 And thou shalt make them linen breeches to cover their nakedness; from the loins even unto the thighs they shall reach:(KJV-1611) Exo 28:42 W'a fè kalson ak twal fen pou yo pou kò yo pa parèt anba rad la. Kalson yo va pran depi nan ren desann wotè jenou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 28:43 ============ Exo 28:43 And they shall be upon Aaron, and upon his sons, when they come in unto the tabernacle of the congregation, or when they come near unto the altar to minister in the holy place; that they bear not iniquity, and die: it shall be a statute for ever unto him and his seed after him.(KJV-1611) Exo 28:43 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo toujou pote kalson yo lè y'ap antre nan Tant Randevou a, osinon lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Konsa, yo p'ap fè sa ki mal, yo p'ap mouri. Sa se yon lwa k'ap la pou tout tan pou Arawon ak tout pitit pitit gason li yo apre li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:1 ============ Exo 29:1 And this is the thing that thou shalt do unto them to hallow them, to minister unto me in the priest's office: Take one young bullock, and two rams without blemish,(KJV-1611) Exo 29:1 Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:2 ============ Exo 29:2 And unleavened bread, and cakes unleavened tempered with oil, and wafers unleavened anointed with oil: of wheaten flour shalt thou make them.(KJV-1611) Exo 29:2 W'a pran bon farin frans, w'a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t' la. W'a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil.(Creole-HT) ======= Exodus 29:3 ============ Exo 29:3 And thou shalt put them into one basket, and bring them in the basket, with the bullock and the two rams.(KJV-1611) Exo 29:3 Mete yo nan yon panyen. Ofri yo ban mwen nan panyen an ansanm ak ti towo a ak de belye mouton yo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:4 ============ Exo 29:4 And Aaron and his sons thou shalt bring unto the door of the tabernacle of the congregation, and shalt wash them with water.(KJV-1611) Exo 29:4 W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:5 ============ Exo 29:5 And thou shalt take the garments, and put upon Aaron the coat, and the robe of the ephod, and the ephod, and the breastplate, and gird him with the curious girdle of the ephod:(KJV-1611) Exo 29:5 Apre sa, w'a pran rad yo, w'a biye Arawon. W'a mete chemiz la, rad la, jile a ak plastwon an sou li. W'a mare sentiwon an nan ren li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:6 ============ Exo 29:6 And thou shalt put the mitre upon his head, and put the holy crown upon the mitre.(KJV-1611) Exo 29:6 W'a mete mouchwa a nan tèt li. W'a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:7 ============ Exo 29:7 Then shalt thou take the anointing oil, and pour it upon his head, and anoint him.(KJV-1611) Exo 29:7 Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 29:8 ============ Exo 29:8 And thou shalt bring his sons, and put coats upon them.(KJV-1611) Exo 29:8 W'a fè pitit li yo pwoche, w'a mete chemiz yo sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:9 ============ Exo 29:9 And thou shalt gird them with girdles, Aaron and his sons, and put the bonnets on them: and the priest's office shall be theirs for a perpetual statute: and thou shalt consecrate Aaron and his sons.(KJV-1611) Exo 29:9 W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:10 ============ Exo 29:10 And thou shalt cause a bullock to be brought before the tabernacle of the congregation: and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the bullock.(KJV-1611) Exo 29:10 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:11 ============ Exo 29:11 And thou shalt kill the bullock before the LORD, by the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Exo 29:11 W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:12 ============ Exo 29:12 And thou shalt take of the blood of the bullock, and put it upon the horns of the altar with thy finger, and pour all the blood beside the bottom of the altar.(KJV-1611) Exo 29:12 W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 29:13 ============ Exo 29:13 And thou shalt take all the fat that covereth the inwards, and the caul that is above the liver, and the two kidneys, and the fat that is upon them, and burn them upon the altar.(KJV-1611) Exo 29:13 Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 29:14 ============ Exo 29:14 But the flesh of the bullock, and his skin, and his dung, shalt thou burn with fire without the camp: it is a sin offering.(KJV-1611) Exo 29:14 Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.(Creole-HT) ======= Exodus 29:15 ============ Exo 29:15 Thou shalt also take one ram; and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the ram.(KJV-1611) Exo 29:15 W'a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:16 ============ Exo 29:16 And thou shalt slay the ram, and thou shalt take his blood, and sprinkle it round about upon the altar.(KJV-1611) Exo 29:16 W'a touye l', w'a pran san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 29:17 ============ Exo 29:17 And thou shalt cut the ram in pieces, and wash the inwards of him, and his legs, and put them unto his pieces, and unto his head.(KJV-1611) Exo 29:17 W'a dekoupe belye a an divès moso. W'a lave tonbe a ansanm ak pye yo. W'a mete yo anwo moso vyann yo ansanm ak tèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 29:18 ============ Exo 29:18 And thou shalt burn the whole ram upon the altar: it is a burnt offering unto the LORD: it is a sweet savour, an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Exo 29:18 W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:19 ============ Exo 29:19 And thou shalt take the other ram; and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the ram.(KJV-1611) Exo 29:19 Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:20 ============ Exo 29:20 Then shalt thou kill the ram, and take of his blood, and put it upon the tip of the right ear of Aaron, and upon the tip of the right ear of his sons, and upon the thumb of their right hand, and upon the great toe of their right foot, and sprinkle the blood upon the altar round about.(KJV-1611) Exo 29:20 W'a touye l', w'a pran ti gout nan san li, w'a mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l' yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W'a pran rès san an, w'a vide l' tout arebò lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 29:21 ============ Exo 29:21 And thou shalt take of the blood that is upon the altar, and of the anointing oil, and sprinkle it upon Aaron, and upon his garments, and upon his sons, and upon the garments of his sons with him: and he shall be hallowed, and his garments, and his sons, and his sons' garments with him.(KJV-1611) Exo 29:21 Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 29:22 ============ Exo 29:22 Also thou shalt take of the ram the fat and the rump, and the fat that covereth the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and the fat that is upon them, and the right shoulder; for it is a ram of consecration:(KJV-1611) Exo 29:22 Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k'ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:23 ============ Exo 29:23 And one loaf of bread, and one cake of oiled bread, and one wafer out of the basket of the unleavened bread that is before the LORD:(KJV-1611) Exo 29:23 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, w'a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat.(Creole-HT) ======= Exodus 29:24 ============ Exo 29:24 And thou shalt put all in the hands of Aaron, and in the hands of his sons; and shalt wave them for a wave offering before the LORD.(KJV-1611) Exo 29:24 W'a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo. W'a mete yo apa pou sèvis mwen, w'a fè yo balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann.(Creole-HT) ======= Exodus 29:25 ============ Exo 29:25 And thou shalt receive them of their hands, and burn them upon the altar for a burnt offering, for a sweet savour before the LORD: it is an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Exo 29:25 Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l' sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l' fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife.(Creole-HT) ======= Exodus 29:26 ============ Exo 29:26 And thou shalt take the breast of the ram of Aaron's consecration, and wave it for a wave offering before the LORD: and it shall be thy part.(KJV-1611) Exo 29:26 Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa.(Creole-HT) ======= Exodus 29:27 ============ Exo 29:27 And thou shalt sanctify the breast of the wave offering, and the shoulder of the heave offering, which is waved, and which is heaved up, of the ram of the consecration, even of that which is for Aaron, and of that which is for his sons:(KJV-1611) Exo 29:27 W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:28 ============ Exo 29:28 And it shall be Aaron's and his sons' by a statute for ever from the children of Israel: for it is an heave offering: and it shall be an heave offering from the children of Israel of the sacrifice of their peace offerings, even their heave offering unto the LORD.(KJV-1611) Exo 29:28 Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:29 ============ Exo 29:29 And the holy garments of Aaron shall be his sons' after him, to be anointed therein, and to be consecrated in them.(KJV-1611) Exo 29:29 Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y'a mete sou yo lè y'ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y'ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:30 ============ Exo 29:30 And that son that is priest in his stead shall put them on seven days, when he cometh into the tabernacle of the congregation to minister in the holy place.(KJV-1611) Exo 29:30 Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l'a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:31 ============ Exo 29:31 And thou shalt take the ram of the consecration, and seethe his flesh in the holy place.(KJV-1611) Exo 29:31 W'a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w'a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:32 ============ Exo 29:32 And Aaron and his sons shall eat the flesh of the ram, and the bread that is in the basket by the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Exo 29:32 Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. y'a rete bò pòt devan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:33 ============ Exo 29:33 And they shall eat those things wherewith the atonement was made, to consecrate and to sanctify them: but a stranger shall not eat thereof, because they are holy.(KJV-1611) Exo 29:33 y'a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t'ap mete yo apa, lè yo t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:34 ============ Exo 29:34 And if ought of the flesh of the consecrations, or of the bread, remain unto the morning, then thou shalt burn the remainder with fire: it shall not be eaten, because it is holy.(KJV-1611) Exo 29:34 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w'a boule l' nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:35 ============ Exo 29:35 And thus shalt thou do unto Aaron, and to his sons, according to all things which I have commanded thee: seven days shalt thou consecrate them.(KJV-1611) Exo 29:35 W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 29:36 ============ Exo 29:36 And thou shalt offer every day a bullock for a sin offering for atonement: and thou shalt cleanse the altar, when thou hast made an atonement for it, and thou shalt anoint it, to sanctify it.(KJV-1611) Exo 29:36 Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:37 ============ Exo 29:37 Seven days thou shalt make an atonement for the altar, and sanctify it; and it shall be an altar most holy: whatsoever toucheth the altar shall be holy.(KJV-1611) Exo 29:37 Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w'a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.(Creole-HT) ======= Exodus 29:38 ============ Exo 29:38 Now this is that which thou shalt offer upon the altar; two lambs of the first year day by day continually.(KJV-1611) Exo 29:38 Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 29:39 ============ Exo 29:39 The one lamb thou shalt offer in the morning; and the other lamb thou shalt offer at even:(KJV-1611) Exo 29:39 W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 29:40 ============ Exo 29:40 And with the one lamb a tenth deal of flour mingled with the fourth part of an hin of beaten oil; and the fourth part of an hin of wine for a drink offering.(KJV-1611) Exo 29:40 Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.(Creole-HT) ======= Exodus 29:41 ============ Exo 29:41 And the other lamb thou shalt offer at even, and shalt do thereto according to the meat offering of the morning, and according to the drink offering thereof, for a sweet savour, an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Exo 29:41 W'a touye dezyèm ti mouton an aswè. W'a ofri ansanm avè l' menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W'a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Exodus 29:42 ============ Exo 29:42 This shall be a continual burnt offering throughout your generations at the door of the tabernacle of the congregation before the LORD: where I will meet you, to speak there unto thee.(KJV-1611) Exo 29:42 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l' tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m' pale ak yo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:43 ============ Exo 29:43 And there I will meet with the children of Israel, and the tabernacle shall be sanctified by my glory.(KJV-1611) Exo 29:43 Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 29:44 ============ Exo 29:44 And I will sanctify the tabernacle of the congregation, and the altar: I will sanctify also both Aaron and his sons, to minister to me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 29:44 M'ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M'ap fè menm bagay la tou pou lòtèl la. M'ap mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 29:45 ============ Exo 29:45 And I will dwell among the children of Israel, and will be their God.(KJV-1611) Exo 29:45 M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 29:46 ============ Exo 29:46 And they shall know that I am the LORD their God, that brought them forth out of the land of Egypt, that I may dwell among them: I am the LORD their God.(KJV-1611) Exo 29:46 y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo soti kite peyi Lejip pou m' te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Exodus 30:1 ============ Exo 30:1 And thou shalt make an altar to burn incense upon: of shittim wood shalt thou make it.(KJV-1611) Exo 30:1 W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.(Creole-HT) ======= Exodus 30:2 ============ Exo 30:2 A cubit shall be the length thereof, and a cubit the breadth thereof; foursquare shall it be: and two cubits shall be the height thereof: the horns thereof shall be of the same.(KJV-1611) Exo 30:2 W'a fè l' kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lòtèl la. Se va kòn lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 30:3 ============ Exo 30:3 And thou shalt overlay it with pure gold, the top thereof, and the sides thereof round about, and the horns thereof; and thou shalt make unto it a crown of gold round about.(KJV-1611) Exo 30:3 W'a kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l'.(Creole-HT) ======= Exodus 30:4 ============ Exo 30:4 And two golden rings shalt thou make to it under the crown of it, by the two corners thereof, upon the two sides of it shalt thou make it; and they shall be for places for the staves to bear it withal.(KJV-1611) Exo 30:4 W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lòtèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 30:5 ============ Exo 30:5 And thou shalt make the staves of shittim wood, and overlay them with gold.(KJV-1611) Exo 30:5 W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 30:6 ============ Exo 30:6 And thou shalt put it before the vail that is by the ark of the testimony, before the mercy seat that is over the testimony, where I will meet with thee.(KJV-1611) Exo 30:6 W'a mete lòtèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= Exodus 30:7 ============ Exo 30:7 And Aaron shall burn thereon sweet incense every morning: when he dresseth the lamps, he shall burn incense upon it.(KJV-1611) Exo 30:7 Arawon va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo.(Creole-HT) ======= Exodus 30:8 ============ Exo 30:8 And when Aaron lighteth the lamps at even, he shall burn incense upon it, a perpetual incense before the LORD throughout your generations.(KJV-1611) Exo 30:8 L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lòtèl Seyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 30:9 ============ Exo 30:9 Ye shall offer no strange incense thereon, nor burnt sacrifice, nor meat offering; neither shall ye pour drink offering thereon.(KJV-1611) Exo 30:9 Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis.(Creole-HT) ======= Exodus 30:10 ============ Exo 30:10 And Aaron shall make an atonement upon the horns of it once in a year with the blood of the sin offering of atonements: once in the year shall he make atonement upon it throughout your generations: it is most holy unto the LORD.(KJV-1611) Exo 30:10 Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 30:11 ============ Exo 30:11 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 30:11 Seyè a di Moyiz:(Creole-HT) ======= Exodus 30:12 ============ Exo 30:12 When thou takest the sum of the children of Israel after their number, then shall they give every man a ransom for his soul unto the LORD, when thou numberest them; that there be no plague among them, when thou numberest them.(KJV-1611) Exo 30:12 -Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an.(Creole-HT) ======= Exodus 30:13 ============ Exo 30:13 This they shall give, every one that passeth among them that are numbered, half a shekel after the shekel of the sanctuary: (a shekel is twenty gerahs:) an half shekel shall be the offering of the LORD.(KJV-1611) Exo 30:13 Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 30:14 ============ Exo 30:14 Every one that passeth among them that are numbered, from twenty years old and above, shall give an offering unto the LORD.(KJV-1611) Exo 30:14 Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 30:15 ============ Exo 30:15 The rich shall not give more, and the poor shall not give less than half a shekel, when they give an offering unto the LORD, to make an atonement for your souls.(KJV-1611) Exo 30:15 Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo.(Creole-HT) ======= Exodus 30:16 ============ Exo 30:16 And thou shalt take the atonement money of the children of Israel, and shalt appoint it for the service of the tabernacle of the congregation; that it may be a memorial unto the children of Israel before the LORD, to make an atonement for your souls.(KJV-1611) Exo 30:16 W'a resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l' pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Seyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo.(Creole-HT) ======= Exodus 30:17 ============ Exo 30:17 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 30:17 Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 30:18 ============ Exo 30:18 Thou shalt also make a laver of brass, and his foot also of brass, to wash withal: and thou shalt put it between the tabernacle of the congregation and the altar, and thou shalt put water therein.(KJV-1611) Exo 30:18 -W'a fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l' ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 30:19 ============ Exo 30:19 For Aaron and his sons shall wash their hands and their feet thereat:(KJV-1611) Exo 30:19 Arawon ak pitit gason l' yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo.(Creole-HT) ======= Exodus 30:20 ============ Exo 30:20 When they go into the tabernacle of the congregation, they shall wash with water, that they die not; or when they come near to the altar to minister, to burn offering made by fire unto the LORD:(KJV-1611) Exo 30:20 Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lòtèl la pou fè sèvis pou ofri Seyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Exodus 30:21 ============ Exo 30:21 So they shall wash their hands and their feet, that they die not: and it shall be a statute for ever to them, even to him and to his seed throughout their generations.(KJV-1611) Exo 30:21 Wi, se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l' yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 30:22 ============ Exo 30:22 Moreover the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 30:22 Seyè a di Moyiz ankò:(Creole-HT) ======= Exodus 30:23 ============ Exo 30:23 Take thou also unto thee principal spices, of pure myrrh five hundred shekels, and of sweet cinnamon half so much, even two hundred and fifty shekels, and of sweet calamus two hundred and fifty shekels,(KJV-1611) Exo 30:23 -Pran pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl,(Creole-HT) ======= Exodus 30:24 ============ Exo 30:24 And of cassia five hundred shekels, after the shekel of the sanctuary, and of oil olive an hin:(KJV-1611) Exo 30:24 ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv.(Creole-HT) ======= Exodus 30:25 ============ Exo 30:25 And thou shalt make it an oil of holy ointment, an ointment compound after the art of the apothecary: it shall be an holy anointing oil.(KJV-1611) Exo 30:25 Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 30:26 ============ Exo 30:26 And thou shalt anoint the tabernacle of the congregation therewith, and the ark of the testimony,(KJV-1611) Exo 30:26 W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a,(Creole-HT) ======= Exodus 30:27 ============ Exo 30:27 And the table and all his vessels, and the candlestick and his vessels, and the altar of incense,(KJV-1611) Exo 30:27 sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lòtèl lansan an,(Creole-HT) ======= Exodus 30:28 ============ Exo 30:28 And the altar of burnt offering with all his vessels, and the laver and his foot.(KJV-1611) Exo 30:28 sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 30:29 ============ Exo 30:29 And thou shalt sanctify them, that they may be most holy: whatsoever toucheth them shall be holy.(KJV-1611) Exo 30:29 Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou.(Creole-HT) ======= Exodus 30:30 ============ Exo 30:30 And thou shalt anoint Aaron and his sons, and consecrate them, that they may minister unto me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 30:30 Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 30:31 ============ Exo 30:31 And thou shalt speak unto the children of Israel, saying, This shall be an holy anointing oil unto me throughout your generations.(KJV-1611) Exo 30:31 W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a, se ak li pou nou sèvi, de pitit an pitit, pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 30:32 ============ Exo 30:32 Upon man's flesh shall it not be poured, neither shall ye make any other like it, after the composition of it: it is holy, and it shall be holy unto you.(KJV-1611) Exo 30:32 Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l' pou sa li ye a.(Creole-HT) ======= Exodus 30:33 ============ Exo 30:33 Whosoever compoundeth any like it, or whosoever putteth any of it upon a stranger, shall even be cut off from his people.(KJV-1611) Exo 30:33 Si yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l' sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 30:34 ============ Exo 30:34 And the LORD said unto Moses, Take unto thee sweet spices, stacte, and onycha, and galbanum; these sweet spices with pure frankincense: of each shall there be a like weight:(KJV-1611) Exo 30:34 Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.(Creole-HT) ======= Exodus 30:35 ============ Exo 30:35 And thou shalt make it a perfume, a confection after the art of the apothecary, tempered together, pure and holy:(KJV-1611) Exo 30:35 W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 30:36 ============ Exo 30:36 And thou shalt beat some of it very small, and put of it before the testimony in the tabernacle of the congregation, where I will meet with thee: it shall be unto you most holy.(KJV-1611) Exo 30:36 W'a pran ti gout ladan l', w'a pile l' fè l' fè poud. W'a sèvi avèk ti gout dèvan bwat ki gen ròch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m' kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase.(Creole-HT) ======= Exodus 30:37 ============ Exo 30:37 And as for the perfume which thou shalt make, ye shall not make to yourselves according to the composition thereof: it shall be unto thee holy for the LORD.(KJV-1611) Exo 30:37 Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase.(Creole-HT) ======= Exodus 30:38 ============ Exo 30:38 Whosoever shall make like unto that, to smell thereto, shall even be cut off from his people.(KJV-1611) Exo 30:38 Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Exodus 31:1 ============ Exo 31:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 31:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Exodus 31:2 ============ Exo 31:2 See, I have called by name Bezaleel the son of Uri, the son of Hur, of the tribe of Judah:(KJV-1611) Exo 31:2 -Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Exodus 31:3 ============ Exo 31:3 And I have filled him with the spirit of God, in wisdom, and in understanding, and in knowledge, and in all manner of workmanship,(KJV-1611) Exo 31:3 Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè,(Creole-HT) ======= Exodus 31:4 ============ Exo 31:4 To devise cunning works, to work in gold, and in silver, and in brass,(KJV-1611) Exo 31:4 pou l' ka fè bèl desen, pou l' travay yo an lò, an ajan ak an kwiv,(Creole-HT) ======= Exodus 31:5 ============ Exo 31:5 And in cutting of stones, to set them, and in carving of timber, to work in all manner of workmanship.(KJV-1611) Exo 31:5 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l' moute yo sou nenpòt bagay, pou l' ka fè desen sou bwa, wi pou l' fè tout kalite bon bagay atizan konn fè.(Creole-HT) ======= Exodus 31:6 ============ Exo 31:6 And I, behold, I have given with him Aholiab, the son of Ahisamach, of the tribe of Dan: and in the hearts of all that are wise hearted I have put wisdom, that they may make all that I have commanded thee;(KJV-1611) Exo 31:6 Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 31:7 ============ Exo 31:7 The tabernacle of the congregation, and the ark of the testimony, and the mercy seat that is thereupon, and all the furniture of the tabernacle,(KJV-1611) Exo 31:7 Men sa mwen te mande ou fè: Tant Randevou a, Bwat Kontra a avèk ròch plat yo, kouvèti ki pou ale sou bwat la ansanm ak tout mèb ki pou ale nan tant lan,(Creole-HT) ======= Exodus 31:8 ============ Exo 31:8 And the table and his furniture, and the pure candlestick with all his furniture, and the altar of incense,(KJV-1611) Exo 31:8 tab la ak lanp sèt branch an lò a ansanm avèk tout bagay ki pou sèvi avèk yo, lòtèl pou boule lansan an,(Creole-HT) ======= Exodus 31:9 ============ Exo 31:9 And the altar of burnt offering with all his furniture, and the laver and his foot,(KJV-1611) Exo 31:9 lòtèl pou boule ofrann yo ak tout bagay ki pou sèvi sou lòtèl la, basen lan ak tout pye l' a,(Creole-HT) ======= Exodus 31:10 ============ Exo 31:10 And the cloths of service, and the holy garments for Aaron the priest, and the garments of his sons, to minister in the priest's office,(KJV-1611) Exo 31:10 bèl rad seremoni, rad pou Arawon, prèt la, ak pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan tant lan,(Creole-HT) ======= Exodus 31:11 ============ Exo 31:11 And the anointing oil, and sweet incense for the holy place: according to all that I have commanded thee shall they do.(KJV-1611) Exo 31:11 lwil pou mete moun apa pou Bondye a ak lansan santi bon pou kote ki apa pou Bondye a. Lè y'ap fè bagay sa yo, se pou yo fè l' jan mwen te di ou la.(Creole-HT) ======= Exodus 31:12 ============ Exo 31:12 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 31:12 Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 31:13 ============ Exo 31:13 Speak thou also unto the children of Israel, saying, Verily my sabbaths ye shall keep: for it is a sign between me and you throughout your generations; that ye may know that I am the LORD that doth sanctify you.(KJV-1611) Exo 31:13 -W'a di pèp Izrayèl la: Se pou nou respekte jou repo mwen yo, paske se va yon siy ant mwen menm ak nou menm, ak tout pitit pitit nou yo, pou fè konnen se mwen menm, Seyè a, ki mete nou apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 31:14 ============ Exo 31:14 Ye shall keep the sabbath therefore; for it is holy unto you: every one that defileth it shall surely be put to death: for whosoever doeth any work therein, that soul shall be cut off from among his people.(KJV-1611) Exo 31:14 Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou mete apa pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye l'. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.(Creole-HT) ======= Exodus 31:15 ============ Exo 31:15 Six days may work be done; but in the seventh is the sabbath of rest, holy to the LORD: whosoever doeth any work in the sabbath day, he shall surely be put to death.(KJV-1611) Exo 31:15 N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a, se va yon gwo jou repo, jou n'a mete apa pou Seyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 31:16 ============ Exo 31:16 Wherefore the children of Israel shall keep the sabbath, to observe the sabbath throughout their generations, for a perpetual covenant.(KJV-1611) Exo 31:16 Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Exodus 31:17 ============ Exo 31:17 It is a sign between me and the children of Israel for ever: for in six days the LORD made heaven and earth, and on the seventh day he rested, and was refreshed.(KJV-1611) Exo 31:17 Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo.(Creole-HT) ======= Exodus 31:18 ============ Exo 31:18 And he gave unto Moses, when he had made an end of communing with him upon mount Sinai, two tables of testimony, tables of stone, written with the finger of God.(KJV-1611) Exo 31:18 Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.(Creole-HT) ======= Exodus 32:1 ============ Exo 32:1 And when the people saw that Moses delayed to come down out of the mount, the people gathered themselves together unto Aaron, and said unto him, Up, make us gods, which shall go before us; for as for this Moses, the man that brought us up out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.(KJV-1611) Exo 32:1 Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.(Creole-HT) ======= Exodus 32:2 ============ Exo 32:2 And Aaron said unto them, Break off the golden earrings, which are in the ears of your wives, of your sons, and of your daughters, and bring them unto me.(KJV-1611) Exo 32:2 Arawon di yo: -Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 32:3 ============ Exo 32:3 And all the people brake off the golden earrings which were in their ears, and brought them unto Aaron.(KJV-1611) Exo 32:3 Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon.(Creole-HT) ======= Exodus 32:4 ============ Exo 32:4 And he received them at their hand, and fashioned it with a graving tool, after he had made it a molten calf: and they said, These be thy gods, O Israel, which brought thee up out of the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 32:4 Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 32:5 ============ Exo 32:5 And when Aaron saw it, he built an altar before it; and Aaron made proclamation, and said, To morrow is a feast to the LORD.(KJV-1611) Exo 32:5 Lè Arawon wè sa, li bati yon lòtèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: -Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 32:6 ============ Exo 32:6 And they rose up early on the morrow, and offered burnt offerings, and brought peace offerings; and the people sat down to eat and to drink, and rose up to play.(KJV-1611) Exo 32:6 Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.(Creole-HT) ======= Exodus 32:7 ============ Exo 32:7 And the LORD said unto Moses, Go, get thee down; for thy people, which thou broughtest out of the land of Egypt, have corrupted themselves:(KJV-1611) Exo 32:7 Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa.(Creole-HT) ======= Exodus 32:8 ============ Exo 32:8 They have turned aside quickly out of the way which I commanded them: they have made them a molten calf, and have worshipped it, and have sacrificed thereunto, and said, These be thy gods, O Israel, which have brought thee up out of the land of Egypt.(KJV-1611) Exo 32:8 Yo gen tan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 32:9 ============ Exo 32:9 And the LORD said unto Moses, I have seen this people, and, behold, it is a stiffnecked people:(KJV-1611) Exo 32:9 Seyè a di Moyiz ankò: -Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di.(Creole-HT) ======= Exodus 32:10 ============ Exo 32:10 Now therefore let me alone, that my wrath may wax hot against them, and that I may consume them: and I will make of thee a great nation.(KJV-1611) Exo 32:10 Bon, koulye a kite m' al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m' an kòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon.(Creole-HT) ======= Exodus 32:11 ============ Exo 32:11 And Moses besought the LORD his God, and said, LORD, why doth thy wrath wax hot against thy people, which thou hast brought forth out of the land of Egypt with great power, and with a mighty hand?(KJV-1611) Exo 32:11 Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?(Creole-HT) ======= Exodus 32:12 ============ Exo 32:12 Wherefore should the Egyptians speak, and say, For mischief did he bring them out, to slay them in the mountains, and to consume them from the face of the earth? Turn from thy fierce wrath, and repent of this evil against thy people.(KJV-1611) Exo 32:12 Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.(Creole-HT) ======= Exodus 32:13 ============ Exo 32:13 Remember Abraham, Isaac, and Israel, thy servants, to whom thou swarest by thine own self, and saidst unto them, I will multiply your seed as the stars of heaven, and all this land that I have spoken of will I give unto your seed, and they shall inherit it for ever.(KJV-1611) Exo 32:13 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te fè sèman sou tèt ou, ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit an kantite, y'ap tankou zetwal nan syèl la. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Exodus 32:14 ============ Exo 32:14 And the LORD repented of the evil which he thought to do unto his people.(KJV-1611) Exo 32:14 Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.(Creole-HT) ======= Exodus 32:15 ============ Exo 32:15 And Moses turned, and went down from the mount, and the two tables of the testimony were in his hand: the tables were written on both their sides; on the one side and on the other were they written.(KJV-1611) Exo 32:15 Moyiz pran chemen pou l' tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l'. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè.(Creole-HT) ======= Exodus 32:16 ============ Exo 32:16 And the tables were the work of God, and the writing was the writing of God, graven upon the tables.(KJV-1611) Exo 32:16 Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo.(Creole-HT) ======= Exodus 32:17 ============ Exo 32:17 And when Joshua heard the noise of the people as they shouted, he said unto Moses, There is a noise of war in the camp.(KJV-1611) Exo 32:17 Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!(Creole-HT) ======= Exodus 32:18 ============ Exo 32:18 And he said, It is not the voice of them that shout for mastery, neither is it the voice of them that cry for being overcome: but the noise of them that sing do I hear.(KJV-1611) Exo 32:18 Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt.(Creole-HT) ======= Exodus 32:19 ============ Exo 32:19 And it came to pass, as soon as he came nigh unto the camp, that he saw the calf, and the dancing: and Moses' anger waxed hot, and he cast the tables out of his hands, and brake them beneath the mount.(KJV-1611) Exo 32:19 Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 32:20 ============ Exo 32:20 And he took the calf which they had made, and burnt it in the fire, and ground it to powder, and strawed it upon the water, and made the children of Israel drink of it.(KJV-1611) Exo 32:20 Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a.(Creole-HT) ======= Exodus 32:21 ============ Exo 32:21 And Moses said unto Aaron, What did this people unto thee, that thou hast brought so great a sin upon them?(KJV-1611) Exo 32:21 Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?(Creole-HT) ======= Exodus 32:22 ============ Exo 32:22 And Aaron said, Let not the anger of my lord wax hot: thou knowest the people, that they are set on mischief.(KJV-1611) Exo 32:22 Arawon reponn li: -Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Exodus 32:23 ============ Exo 32:23 For they said unto me, Make us gods, which shall go before us: for as for this Moses, the man that brought us up out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.(KJV-1611) Exo 32:23 Se yo menm ki di m' fè bondye pou yo, bondye ki pou mache devan yo, paske yo pa konnen sa ki rive Moyiz, nonm sa a ki te fè yo soti kite Lejip la.(Creole-HT) ======= Exodus 32:24 ============ Exo 32:24 And I said unto them, Whosoever hath any gold, let them break it off. So they gave it me: then I cast it into the fire, and there came out this calf.(KJV-1611) Exo 32:24 Lè sa a, mwen mande kilès nan mitan yo ki gen lò. Tout moun ki te gen lò sou yo ban mwen l'. Mwen lage lò a nan dife, epi estati ti towo bèf sa a parèt.(Creole-HT) ======= Exodus 32:25 ============ Exo 32:25 And when Moses saw that the people were naked; (for Aaron had made them naked unto their shame among their enemies:)(KJV-1611) Exo 32:25 Moyiz wè pèp la te fin dechennen, paske Arawon te lage brid ba yo, yo te lage kò yo nan sèvi zidòl. Sa fè yo pa t' anyen ankò devan lènmi yo.(Creole-HT) ======= Exodus 32:26 ============ Exo 32:26 Then Moses stood in the gate of the camp, and said, Who is on the LORD's side? let him come unto me. And all the sons of Levi gathered themselves together unto him.(KJV-1611) Exo 32:26 Moyiz kanpe nan pòtay lakou kan an, li pale byen fò, li di: -Tout moun ki pou Seyè a, vin jwenn mwen. Se konsa tout pitit Levi yo vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Exodus 32:27 ============ Exo 32:27 And he said unto them, Thus saith the LORD God of Israel, Put every man his sword by his side, and go in and out from gate to gate throughout the camp, and slay every man his brother, and every man his companion, and every man his neighbour.(KJV-1611) Exo 32:27 Li di yo: -Men sa Seyè a, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la di: Se pou nou chak pran nepe nou, mache nan tout kan an, depi nan pòtay sa a rive jouk lòt bò a. Touye mezi moun ki tonbe anba men nou, kit se frè nou, kit se zanmi nou, osinon vwazinaj nou.(Creole-HT) ======= Exodus 32:28 ============ Exo 32:28 And the children of Levi did according to the word of Moses: and there fell of the people that day about three thousand men.(KJV-1611) Exo 32:28 Pitit Levi yo fè sa Moyiz te ba yo lòd fè a. Jou sa a, te gen twamil moun konsa nan pèp la ki te pèdi lavi yo.(Creole-HT) ======= Exodus 32:29 ============ Exo 32:29 For Moses had said, Consecrate yourselves today to the LORD, even every man upon his son, and upon his brother; that he may bestow upon you a blessing this day.(KJV-1611) Exo 32:29 Moyiz di pitit Levi yo: -Jòdi a, avèk san pitit gason nou yo ak san frè nou yo nou fè koule a, nou mete tèt nou apa nèt pou sèvis Seyè a. Se poutèt sa tou, Seyè a pa manke ban nou benediksyon l' jòdi a.(Creole-HT) ======= Exodus 32:30 ============ Exo 32:30 And it came to pass on the morrow, that Moses said unto the people, Ye have sinned a great sin: and now I will go up unto the LORD; peradventure I shall make an atonement for your sin.(KJV-1611) Exo 32:30 Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.(Creole-HT) ======= Exodus 32:31 ============ Exo 32:31 And Moses returned unto the LORD, and said, Oh, this people have sinned a great sin, and have made them gods of gold.(KJV-1611) Exo 32:31 Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 32:32 ============ Exo 32:32 Yet now, if thou wilt forgive their sin--; and if not, blot me, I pray thee, out of thy book which thou hast written.(KJV-1611) Exo 32:32 Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a.(Creole-HT) ======= Exodus 32:33 ============ Exo 32:33 And the LORD said unto Moses, Whosoever hath sinned against me, him will I blot out of my book.(KJV-1611) Exo 32:33 Seyè a reponn Moyiz, li di l': -Moun ki peche kont mwen an, se non l' pou m' efase nan liv mwen an.(Creole-HT) ======= Exodus 32:34 ============ Exo 32:34 Therefore now go, lead the people unto the place of which I have spoken unto thee: behold, mine Angel shall go before thee: nevertheless in the day when I visit I will visit their sin upon them.(KJV-1611) Exo 32:34 Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.(Creole-HT) ======= Exodus 32:35 ============ Exo 32:35 And the LORD plagued the people, because they made the calf, which Aaron made.(KJV-1611) Exo 32:35 Seyè a te voye yon maladi sou pèp la pou pini l', paske yo te fòse Arawon fè estati yon ti bèf pou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:1 ============ Exo 33:1 And the LORD said unto Moses, Depart, and go up hence, thou and the people which thou hast brought up out of the land of Egypt, unto the land which I sware unto Abraham, to Isaac, and to Jacob, saying, Unto thy seed will I give it:(KJV-1611) Exo 33:1 Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:2 ============ Exo 33:2 And I will send an angel before thee; and I will drive out the Canaanite, the Amorite, and the Hittite, and the Perizzite, the Hivite, and the Jebusite:(KJV-1611) Exo 33:2 M'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou. M'ap mete moun Kanaran yo, moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, ak moun Jebis yo deyò sou tè yo a.(Creole-HT) ======= Exodus 33:3 ============ Exo 33:3 Unto a land flowing with milk and honey: for I will not go up in the midst of thee; for thou art a stiffnecked people: lest I consume thee in the way.(KJV-1611) Exo 33:3 Ale. W'ap rive nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Men, se pa mwen menm menm ki prale ansanm ak nou, paske nou se yon bann moun ki gen tèt di, mwen ta ka touye nou sou wout la.(Creole-HT) ======= Exodus 33:4 ============ Exo 33:4 And when the people heard these evil tidings, they mourned: and no man did put on him his ornaments.(KJV-1611) Exo 33:4 Lè pèp la tande move nouvèl sa a, yon sèl lapenn pran yo. Tout moun refize pote bijou sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:5 ============ Exo 33:5 For the LORD had said unto Moses, Say unto the children of Israel, Ye are a stiffnecked people: I will come up into the midst of thee in a moment, and consume thee: therefore now put off thy ornaments from thee, that I may know what to do unto thee.(KJV-1611) Exo 33:5 Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:6 ============ Exo 33:6 And the children of Israel stripped themselves of their ornaments by the mount Horeb.(KJV-1611) Exo 33:6 Se konsa, depi sou mòn Orèb, moun Izrayèl yo pa janm pote bijou ankò sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:7 ============ Exo 33:7 And Moses took the tabernacle, and pitched it without the camp, afar off from the camp, and called it the Tabernacle of the congregation. And it came to pass, that every one which sought the LORD went out unto the tabernacle of the congregation, which was without the camp.(KJV-1611) Exo 33:7 Moyiz pran tant lan, li mete l' yon ti distans an deyò limit kan kote yo te enstale a. Li rele l' Tant Randevou a. Tout moun ki te bezwen pale ak Seyè a te blije soti nan kan an pou ale nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Exodus 33:8 ============ Exo 33:8 And it came to pass, when Moses went out unto the tabernacle, that all the people rose up, and stood every man at his tent door, and looked after Moses, until he was gone into the tabernacle.(KJV-1611) Exo 33:8 Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te fèt pou kanpe, chak moun devan papòt kay yo, ap gade Moyiz jouk li antre nan tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 33:9 ============ Exo 33:9 And it came to pass, as Moses entered into the tabernacle, the cloudy pillar descended, and stood at the door of the tabernacle, and the Lord talked with Moses.(KJV-1611) Exo 33:9 Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 33:10 ============ Exo 33:10 And all the people saw the cloudy pillar stand at the tabernacle door: and all the people rose up and worshipped, every man in his tent door.(KJV-1611) Exo 33:10 Lè tout moun wè poto nwaj la kanpe nan papòt tant lan, yo leve, yo bese tèt yo jouk atè devan papòt kay pa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:11 ============ Exo 33:11 And the LORD spake unto Moses face to face, as a man speaketh unto his friend. And he turned again into the camp: but his servant Joshua, the son of Nun, a young man, departed not out of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 33:11 Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 33:12 ============ Exo 33:12 And Moses said unto the LORD, See, thou sayest unto me, Bring up this people: and thou hast not let me know whom thou wilt send with me. Yet thou hast said, I know thee by name, and thou hast also found grace in my sight.(KJV-1611) Exo 33:12 Moyiz di Seyè a: -Ala ou di m' fè pèp la moute ale nan peyi a, men ou pa di m' kilès w'ap voye avè m' pou ede m'. Men, koulye a ou di m' ou konnen m' byen, ou konnen ki moun mwen ye. Ou kontan mwen anpil.(Creole-HT) ======= Exodus 33:13 ============ Exo 33:13 Now therefore, I pray thee, if I have found grace in thy sight, shew me now thy way, that I may know thee, that I may find grace in thy sight: and consider that this nation is thy people.(KJV-1611) Exo 33:13 Bon, si ou kontan m' vre, tanpri, fè m' konnen lide ou gen nan tèt ou pou m' ka konnen ki moun ou ye, pou m' ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi!(Creole-HT) ======= Exodus 33:14 ============ Exo 33:14 And he said, My presence shall go with thee, and I will give thee rest.(KJV-1611) Exo 33:14 Seyè a reponn: -Se mwen menm k'ap mache avè ou. M'ap fè ou jwenn repo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:15 ============ Exo 33:15 And he said unto him, If thy presence go not with me, carry us not up hence.(KJV-1611) Exo 33:15 Moyiz di l': -Si se pa ou menm menm k'ap mache avè nou, ou pa bezwen kite nou soti isit la.(Creole-HT) ======= Exodus 33:16 ============ Exo 33:16 For wherein shall it be known here that I and thy people have found grace in thy sight? is it not in that thou goest with us? so shall we be separated, I and thy people, from all the people that are upon the face of the earth.(KJV-1611) Exo 33:16 Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 33:17 ============ Exo 33:17 And the LORD said unto Moses, I will do this thing also that thou hast spoken: for thou hast found grace in my sight, and I know thee by name.(KJV-1611) Exo 33:17 Seyè a di Moyiz: -m'a fè sa ou mande m' lan, paske ou fè kè m' kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye.(Creole-HT) ======= Exodus 33:18 ============ Exo 33:18 And he said, I beseech thee, shew me thy glory.(KJV-1611) Exo 33:18 Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou!(Creole-HT) ======= Exodus 33:19 ============ Exo 33:19 And he said, I will make all my goodness pass before thee, and I will proclaim the name of the LORD before thee; and will be gracious to whom I will be gracious, and will shew mercy on whom I will shew mercy.(KJV-1611) Exo 33:19 Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.(Creole-HT) ======= Exodus 33:20 ============ Exo 33:20 And he said, Thou canst not see my face: for there shall no man see me, and live.(KJV-1611) Exo 33:20 Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa.(Creole-HT) ======= Exodus 33:21 ============ Exo 33:21 And the LORD said, Behold, there is a place by me, and thou shalt stand upon a rock:(KJV-1611) Exo 33:21 Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 33:22 ============ Exo 33:22 And it shall come to pass, while my glory passeth by, that I will put thee in a clift of the rock, and will cover thee with my hand while I pass by:(KJV-1611) Exo 33:22 Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou ròch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase.(Creole-HT) ======= Exodus 33:23 ============ Exo 33:23 And I will take away mine hand, and thou shalt see my back parts: but my face shall not be seen.(KJV-1611) Exo 33:23 Apre sa, m'a wete men m' sou ou. Se do m' ase w'a wè ki prale, men ou p'ap wè figi m'.(Creole-HT) ======= Exodus 34:1 ============ Exo 34:1 And the LORD said unto Moses, Hew thee two tables of stone like unto the first: and I will write upon these tables the words that were in the first tables, which thou brakest.(KJV-1611) Exo 34:1 Seyè a di Moyiz konsa: -Taye de ròch plat tankou de premye yo. m'a ekri sou yo tout pawòl ki te sou premye ròch ou te kraze yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:2 ============ Exo 34:2 And be ready in the morning, and come up in the morning unto mount Sinai, and present thyself there to me in the top of the mount.(KJV-1611) Exo 34:2 Pare ou byen bonè denmen maten. W'a moute sou mòn Sinayi a. Vin jwenn mwen la sou tèt mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 34:3 ============ Exo 34:3 And no man shall come up with thee, neither let any man be seen throughout all the mount; neither let the flocks nor herds feed before that mount.(KJV-1611) Exo 34:3 Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan.(Creole-HT) ======= Exodus 34:4 ============ Exo 34:4 And he hewed two tables of stone like unto the first; and Moses rose up early in the morning, and went up unto mount Sinai, as the LORD had commanded him, and took in his hand the two tables of stone.(KJV-1611) Exo 34:4 Moyiz taye de ròch plat tankou de premye yo. Nan denmen maten byen bonè, li moute sou mòn Sinayi a ak de ròch plat yo nan men l' jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= Exodus 34:5 ============ Exo 34:5 And the LORD descended in the cloud, and stood with him there, and proclaimed the name of the LORD.(KJV-1611) Exo 34:5 Seyè a desann nan yon nwaj, li kanpe la toupre Moyiz. Li fè l' konnen se li menm yo rele Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 34:6 ============ Exo 34:6 And the LORD passed by before him, and proclaimed, The LORD, The LORD God, merciful and gracious, longsuffering, and abundant in goodness and truth,(KJV-1611) Exo 34:6 Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Exodus 34:7 ============ Exo 34:7 Keeping mercy for thousands, forgiving iniquity and transgression and sin, and that will by no means clear the guilty; visiting the iniquity of the fathers upon the children, and upon the children's children, unto the third and to the fourth generation.(KJV-1611) Exo 34:7 L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.(Creole-HT) ======= Exodus 34:8 ============ Exo 34:8 And Moses made haste, and bowed his head toward the earth, and worshipped.(KJV-1611) Exo 34:8 Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 34:9 ============ Exo 34:9 And he said, If now I have found grace in thy sight, O LORD, let my LORD, I pray thee, go among us; for it is a stiffnecked people; and pardon our iniquity and our sin, and take us for thine inheritance.(KJV-1611) Exo 34:9 Li di: -Seyè! Si ou kontan m' vre, tanpri, mache avè nou non! Pèp sa a, se yon bann moun ki gen tèt di, se vre. Men, padonnen fòt nou yo ak peche nou yo. Asepte nou pou moun ki rele ou pa ou.(Creole-HT) ======= Exodus 34:10 ============ Exo 34:10 And he said, Behold, I make a covenant: before all thy people I will do marvels, such as have not been done in all the earth, nor in any nation: and all the people among which thou art shall see the work of the LORD: for it is a terrible thing that I will do with thee.(KJV-1611) Exo 34:10 Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.(Creole-HT) ======= Exodus 34:11 ============ Exo 34:11 Observe thou that which I command thee this day: behold, I drive out before thee the Amorite, and the Canaanite, and the Hittite, and the Perizzite, and the Hivite, and the Jebusite.(KJV-1611) Exo 34:11 Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 34:12 ============ Exo 34:12 Take heed to thyself, lest thou make a covenant with the inhabitants of the land whither thou goest, lest it be for a snare in the midst of thee:(KJV-1611) Exo 34:12 Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.(Creole-HT) ======= Exodus 34:13 ============ Exo 34:13 But ye shall destroy their altars, break their images, and cut down their groves:(KJV-1611) Exo 34:13 Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:14 ============ Exo 34:14 For thou shalt worship no other god: for the LORD, whose name is Jealous, is a jealous God:(KJV-1611) Exo 34:14 Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.(Creole-HT) ======= Exodus 34:15 ============ Exo 34:15 Lest thou make a covenant with the inhabitants of the land, and they go a whoring after their gods, and do sacrifice unto their gods, and one call thee, and thou eat of his sacrifice;(KJV-1611) Exo 34:15 Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:16 ============ Exo 34:16 And thou take of their daughters unto thy sons, and their daughters go a whoring after their gods, and make thy sons go a whoring after their gods.(KJV-1611) Exo 34:16 Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.(Creole-HT) ======= Exodus 34:17 ============ Exo 34:17 Thou shalt make thee no molten gods.(KJV-1611) Exo 34:17 Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 34:18 ============ Exo 34:18 The feast of unleavened bread shalt thou keep. Seven days thou shalt eat unleavened bread, as I commanded thee, in the time of the month Abib: for in the month Abib thou camest out from Egypt.(KJV-1611) Exo 34:18 Se pou ou toujou fete fèt pen san ledven an. Pandan sèt jou nan mwa Abib la, nou va manje pen san ledven, jan mwen te ban nou lòd la, paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Exodus 34:19 ============ Exo 34:19 All that openeth the matrix is mine; and every firstling among thy cattle, whether ox or sheep, that is male.(KJV-1611) Exo 34:19 Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou.(Creole-HT) ======= Exodus 34:20 ============ Exo 34:20 But the firstling of an ass thou shalt redeem with a lamb: and if thou redeem him not, then shalt thou break his neck. All the firstborn of thy sons thou shalt redeem. And none shall appear before me empty.(KJV-1611) Exo 34:20 Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid.(Creole-HT) ======= Exodus 34:21 ============ Exo 34:21 Six days thou shalt work, but on the seventh day thou shalt rest: in earing time and in harvest thou shalt rest.(KJV-1611) Exo 34:21 W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.(Creole-HT) ======= Exodus 34:22 ============ Exo 34:22 And thou shalt observe the feast of weeks, of the firstfruits of wheat harvest, and the feast of ingathering at the year's end.(KJV-1611) Exo 34:22 W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.(Creole-HT) ======= Exodus 34:23 ============ Exo 34:23 Thrice in the year shall all your menchildren appear before the LORD God, the God of Israel.(KJV-1611) Exo 34:23 Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 34:24 ============ Exo 34:24 For I will cast out the nations before thee, and enlarge thy borders: neither shall any man desire thy land, when thou shalt go up to appear before the LORD thy God thrice in the year.(KJV-1611) Exo 34:24 Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:25 ============ Exo 34:25 Thou shalt not offer the blood of my sacrifice with leaven; neither shall the sacrifice of the feast of the passover be left unto the morning.(KJV-1611) Exo 34:25 Lè n'ap touye yon bèt pou ofri l' ban mwen, piga nou janm sèvi ak pen ki fèt ak ledven. Lè fèt Delivrans lan menm, piga nou kite ankenn vyann bèt yo touye pou fèt la rete pou denmen maten.(Creole-HT) ======= Exodus 34:26 ============ Exo 34:26 The first of the firstfruits of thy land thou shalt bring unto the house of the LORD thy God. Thou shalt not seethe a kid in his mother's milk.(KJV-1611) Exo 34:26 N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'.(Creole-HT) ======= Exodus 34:27 ============ Exo 34:27 And the LORD said unto Moses, Write thou these words: for after the tenor of these words I have made a covenant with thee and with Israel.(KJV-1611) Exo 34:27 Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 34:28 ============ Exo 34:28 And he was there with the LORD forty days and forty nights; he did neither eat bread, nor drink water. And he wrote upon the tables the words of the covenant, the ten commandments.(KJV-1611) Exo 34:28 Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:29 ============ Exo 34:29 And it came to pass, when Moses came down from mount Sinai with the two tables of testimony in Moses' hand, when he came down from the mount, that Moses wist not that the skin of his face shone while he talked with him.(KJV-1611) Exo 34:29 Lè Moyiz desann soti sou mòn Sinayi a, li t'ap pote de ròch plat yo nan men l'. Men, gen yon bagay li pa t' konnen. Lè li t'ap pale ak Seyè a, figi l' te vin klere byen bèl.(Creole-HT) ======= Exodus 34:30 ============ Exo 34:30 And when Aaron and all the children of Israel saw Moses, behold, the skin of his face shone; and they were afraid to come nigh him.(KJV-1611) Exo 34:30 Arawon ak tout pèp la t'ap gade Moyiz, yo we jan figi l' te klere, yo te pè pwoche bò kote l'.(Creole-HT) ======= Exodus 34:31 ============ Exo 34:31 And Moses called unto them; and Aaron and all the rulers of the congregation returned unto him: and Moses talked with them.(KJV-1611) Exo 34:31 Men Moyiz rele yo. Arawon vin jwenn li ansanm ak tout chèf pèp la. Moyiz pale ak yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:32 ============ Exo 34:32 And afterward all the children of Israel came nigh: and he gave them in commandment all that the LORD had spoken with him in mount Sinai.(KJV-1611) Exo 34:32 Apre sa, tout rès pèp Izrayèl la pwoche, epi Moyiz ba yo tout lòd li te resevwa nan men Seyè a sou mòn Sinayi a.(Creole-HT) ======= Exodus 34:33 ============ Exo 34:33 And till Moses had done speaking with them, he put a vail on his face.(KJV-1611) Exo 34:33 Lè Moyiz fin pale ak yo, li kouvri figi li ak yon twal.(Creole-HT) ======= Exodus 34:34 ============ Exo 34:34 But when Moses went in before the LORD to speak with him, he took the vail off, until he came out. And he came out, and spake unto the children of Israel that which he was commanded.(KJV-1611) Exo 34:34 Chak fwa Moyiz antre nan tant lan devan Seyè a pou pale avè l', li toujou wete twal la jouk li soti deyò ankò. Lè l' soti, li rakonte pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.(Creole-HT) ======= Exodus 34:35 ============ Exo 34:35 And the children of Israel saw the face of Moses, that the skin of Moses' face shone: and Moses put the vail upon his face again, until he went in to speak with him.(KJV-1611) Exo 34:35 Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 35:1 ============ Exo 35:1 And Moses gathered all the congregation of the children of Israel together, and said unto them, These are the words which the LORD hath commanded, that ye should do them.(KJV-1611) Exo 35:1 Moyiz sanble tout pèp Izrayèl la, li di yo: -Men sa Seyè a bay lòd pou nou fè.(Creole-HT) ======= Exodus 35:2 ============ Exo 35:2 Six days shall work be done, but on the seventh day there shall be to you an holy day, a sabbath of rest to the LORD: whosoever doeth work therein shall be put to death.(KJV-1611) Exo 35:2 N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Exodus 35:3 ============ Exo 35:3 Ye shall kindle no fire throughout your habitations upon the sabbath day.(KJV-1611) Exo 35:3 Ata dife piga nou limen nan ankenn kay jou repo a.(Creole-HT) ======= Exodus 35:4 ============ Exo 35:4 And Moses spake unto all the congregation of the children of Israel, saying, This is the thing which the LORD commanded, saying,(KJV-1611) Exo 35:4 Moyiz pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyè a ban nou lòd fè:(Creole-HT) ======= Exodus 35:5 ============ Exo 35:5 Take ye from among you an offering unto the LORD: whosoever is of a willing heart, let him bring it, an offering of the LORD; gold, and silver, and brass,(KJV-1611) Exo 35:5 Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv,(Creole-HT) ======= Exodus 35:6 ============ Exo 35:6 And blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats' hair,(KJV-1611) Exo 35:6 bon twal siperyè koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan ak twal pwès fèt ak pwal kabrit,(Creole-HT) ======= Exodus 35:7 ============ Exo 35:7 And rams' skins dyed red, and badgers' skins, and shittim wood,(KJV-1611) Exo 35:7 po belye tenn koulè wouj, po bazann, ak bwa zakasya,(Creole-HT) ======= Exodus 35:8 ============ Exo 35:8 And oil for the light, and spices for anointing oil, and for the sweet incense,(KJV-1611) Exo 35:8 lwil pou lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye a ak nan lansan an,(Creole-HT) ======= Exodus 35:9 ============ Exo 35:9 And onyx stones, and stones to be set for the ephod, and for the breastplate.(KJV-1611) Exo 35:9 pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon prèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 35:10 ============ Exo 35:10 And every wise hearted among you shall come, and make all that the LORD hath commanded;(KJV-1611) Exo 35:10 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a:(Creole-HT) ======= Exodus 35:11 ============ Exo 35:11 The tabernacle, his tent, and his covering, his taches, and his boards, his bars, his pillars, and his sockets,(KJV-1611) Exo 35:11 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo,(Creole-HT) ======= Exodus 35:12 ============ Exo 35:12 The ark, and the staves thereof, with the mercy seat, and the vail of the covering,(KJV-1611) Exo 35:12 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la,(Creole-HT) ======= Exodus 35:13 ============ Exo 35:13 The table, and his staves, and all his vessels, and the shewbread,(KJV-1611) Exo 35:13 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou,(Creole-HT) ======= Exodus 35:14 ============ Exo 35:14 The candlestick also for the light, and his furniture, and his lamps, with the oil for the light,(KJV-1611) Exo 35:14 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo,(Creole-HT) ======= Exodus 35:15 ============ Exo 35:15 And the incense altar, and his staves, and the anointing oil, and the sweet incense, and the hanging for the door at the entering in of the tabernacle,(KJV-1611) Exo 35:15 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan,(Creole-HT) ======= Exodus 35:16 ============ Exo 35:16 The altar of burnt offering, with his brasen grate, his staves, and all his vessels, the laver and his foot,(KJV-1611) Exo 35:16 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li,(Creole-HT) ======= Exodus 35:17 ============ Exo 35:17 The hangings of the court, his pillars, and their sockets, and the hanging for the door of the court,(KJV-1611) Exo 35:17 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a,(Creole-HT) ======= Exodus 35:18 ============ Exo 35:18 The pins of the tabernacle, and the pins of the court, and their cords,(KJV-1611) Exo 35:18 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a,(Creole-HT) ======= Exodus 35:19 ============ Exo 35:19 The cloths of service, to do service in the holy place, the holy garments for Aaron the priest, and the garments of his sons, to minister in the priest's office.(KJV-1611) Exo 35:19 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo.(Creole-HT) ======= Exodus 35:20 ============ Exo 35:20 And all the congregation of the children of Israel departed from the presence of Moses.(KJV-1611) Exo 35:20 Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo.(Creole-HT) ======= Exodus 35:21 ============ Exo 35:21 And they came, every one whose heart stirred him up, and every one whom his spirit made willing, and they brought the LORD's offering to the work of the tabernacle of the congregation, and for all his service, and for the holy garments.(KJV-1611) Exo 35:21 Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.(Creole-HT) ======= Exodus 35:22 ============ Exo 35:22 And they came, both men and women, as many as were willing hearted, and brought bracelets, and earrings, and rings, and tablets, all jewels of gold: and every man that offered offered an offering of gold unto the LORD.(KJV-1611) Exo 35:22 Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Exodus 35:23 ============ Exo 35:23 And every man, with whom was found blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats' hair, and red skins of rams, and badgers' skins, brought them.(KJV-1611) Exo 35:23 Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini.(Creole-HT) ======= Exodus 35:24 ============ Exo 35:24 Every one that did offer an offering of silver and brass brought the LORD's offering: and every man, with whom was found shittim wood for any work of the service, brought it.(KJV-1611) Exo 35:24 Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'.(Creole-HT) ======= Exodus 35:25 ============ Exo 35:25 And all the women that were wise hearted did spin with their hands, and brought that which they had spun, both of blue, and of purple, and of scarlet, and of fine linen.(KJV-1611) Exo 35:25 Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini.(Creole-HT) ======= Exodus 35:26 ============ Exo 35:26 And all the women whose heart stirred them up in wisdom spun goats' hair.(KJV-1611) Exo 35:26 Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou.(Creole-HT) ======= Exodus 35:27 ============ Exo 35:27 And the rulers brought onyx stones, and stones to be set, for the ephod, and for the breastplate;(KJV-1611) Exo 35:27 Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la,(Creole-HT) ======= Exodus 35:28 ============ Exo 35:28 And spice, and oil for the light, and for the anointing oil, and for the sweet incense.(KJV-1611) Exo 35:28 ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon.(Creole-HT) ======= Exodus 35:29 ============ Exo 35:29 The children of Israel brought a willing offering unto the LORD, every man and woman, whose heart made them willing to bring for all manner of work, which the LORD had commanded to be made by the hand of Moses.(KJV-1611) Exo 35:29 Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 35:30 ============ Exo 35:30 And Moses said unto the children of Israel, See, the LORD hath called by name Bezaleel the son of Uri, the son of Hur, of the tribe of Judah;(KJV-1611) Exo 35:30 Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Exodus 35:31 ============ Exo 35:31 And he hath filled him with the spirit of God, in wisdom, in understanding, and in knowledge, and in all manner of workmanship;(KJV-1611) Exo 35:31 Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a,(Creole-HT) ======= Exodus 35:32 ============ Exo 35:32 And to devise curious works, to work in gold, and in silver, and in brass,(KJV-1611) Exo 35:32 pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv,(Creole-HT) ======= Exodus 35:33 ============ Exo 35:33 And in the cutting of stones, to set them, and in carving of wood, to make any manner of cunning work.(KJV-1611) Exo 35:33 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fè tout kalite travay atizan konn fè.(Creole-HT) ======= Exodus 35:34 ============ Exo 35:34 And he hath put in his heart that he may teach, both he, and Aholiab, the son of Ahisamach, of the tribe of Dan.(KJV-1611) Exo 35:34 Bondye ba li don pou l' moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.(Creole-HT) ======= Exodus 35:35 ============ Exo 35:35 Them hath he filled with wisdom of heart, to work all manner of work, of the engraver, and of the cunning workman, and of the embroiderer, in blue, and in purple, in scarlet, and in fine linen, and of the weaver, even of them that do any work, and of those that devise cunning work.(KJV-1611) Exo 35:35 Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.(Creole-HT) ======= Exodus 36:1 ============ Exo 36:1 Then wrought Bezaleel and Aholiab, and every wise hearted man, in whom the LORD put wisdom and understanding to know how to work all manner of work for the service of the sanctuary, according to all that the LORD had commanded.(KJV-1611) Exo 36:1 Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.(Creole-HT) ======= Exodus 36:2 ============ Exo 36:2 And Moses called Bezaleel and Aholiab, and every wise hearted man, in whose heart the LORD had put wisdom, even every one whose heart stirred him up to come unto the work to do it:(KJV-1611) Exo 36:2 Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 36:3 ============ Exo 36:3 And they received of Moses all the offering, which the children of Israel had brought for the work of the service of the sanctuary, to make it withal. And they brought yet unto him free offerings every morning.(KJV-1611) Exo 36:3 Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo.(Creole-HT) ======= Exodus 36:4 ============ Exo 36:4 And all the wise men, that wrought all the work of the sanctuary, came every man from his work which they made;(KJV-1611) Exo 36:4 Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 36:5 ============ Exo 36:5 And they spake unto Moses, saying, The people bring much more than enough for the service of the work, which the LORD commanded to make.(KJV-1611) Exo 36:5 Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:6 ============ Exo 36:6 And Moses gave commandment, and they caused it to be proclaimed throughout the camp, saying, Let neither man nor woman make any more work for the offering of the sanctuary. So the people were restrained from bringing.(KJV-1611) Exo 36:6 Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann.(Creole-HT) ======= Exodus 36:7 ============ Exo 36:7 For the stuff they had was sufficient for all the work to make it, and too much.(KJV-1611) Exo 36:7 Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.(Creole-HT) ======= Exodus 36:8 ============ Exo 36:8 And every wise hearted man among them that wrought the work of the tabernacle made ten curtains of fine twined linen, and blue, and purple, and scarlet: with cherubims of cunning work made he them.(KJV-1611) Exo 36:8 Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.(Creole-HT) ======= Exodus 36:9 ============ Exo 36:9 The length of one curtain was twenty and eight cubits, and the breadth of one curtain four cubits: the curtains were all of one size.(KJV-1611) Exo 36:9 Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè.(Creole-HT) ======= Exodus 36:10 ============ Exo 36:10 And he coupled the five curtains one unto another: and the other five curtains he coupled one unto another.(KJV-1611) Exo 36:10 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo.(Creole-HT) ======= Exodus 36:11 ============ Exo 36:11 And he made loops of blue on the edge of one curtain from the selvedge in the coupling: likewise he made in the uttermost side of another curtain, in the coupling of the second.(KJV-1611) Exo 36:11 Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup.(Creole-HT) ======= Exodus 36:12 ============ Exo 36:12 Fifty loops made he in one curtain, and fifty loops made he in the edge of the curtain which was in the coupling of the second: the loops held one curtain to another.(KJV-1611) Exo 36:12 Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de.(Creole-HT) ======= Exodus 36:13 ============ Exo 36:13 And he made fifty taches of gold, and coupled the curtains one unto another with the taches: so it became one tabernacle.(KJV-1611) Exo 36:13 Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:14 ============ Exo 36:14 And he made curtains of goats' hair for the tent over the tabernacle: eleven curtains he made them.(KJV-1611) Exo 36:14 Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:15 ============ Exo 36:15 The length of one curtain was thirty cubits, and four cubits was the breadth of one curtain: the eleven curtains were of one size.(KJV-1611) Exo 36:15 Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 36:16 ============ Exo 36:16 And he coupled five curtains by themselves, and six curtains by themselves.(KJV-1611) Exo 36:16 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa.(Creole-HT) ======= Exodus 36:17 ============ Exo 36:17 And he made fifty loops upon the uttermost edge of the curtain in the coupling, and fifty loops made he upon the edge of the curtain which coupleth the second.(KJV-1611) Exo 36:17 Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la.(Creole-HT) ======= Exodus 36:18 ============ Exo 36:18 And he made fifty taches of brass to couple the tent together, that it might be one.(KJV-1611) Exo 36:18 Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant.(Creole-HT) ======= Exodus 36:19 ============ Exo 36:19 And he made a covering for the tent of rams' skins dyed red, and a covering of badgers' skins above that.(KJV-1611) Exo 36:19 Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:20 ============ Exo 36:20 And he made boards for the tabernacle of shittim wood, standing up.(KJV-1611) Exo 36:20 Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:21 ============ Exo 36:21 The length of a board was ten cubits, and the breadth of a board one cubit and a half.(KJV-1611) Exo 36:21 Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 36:22 ============ Exo 36:22 One board had two tenons, equally distant one from another: thus did he make for all the boards of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 36:22 Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou.(Creole-HT) ======= Exodus 36:23 ============ Exo 36:23 And he made boards for the tabernacle; twenty boards for the south side southward:(KJV-1611) Exo 36:23 Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la.(Creole-HT) ======= Exodus 36:24 ============ Exo 36:24 And forty sockets of silver he made under the twenty boards; two sockets under one board for his two tenons, and two sockets under another board for his two tenons.(KJV-1611) Exo 36:24 Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman.(Creole-HT) ======= Exodus 36:25 ============ Exo 36:25 And for the other side of the tabernacle, which is toward the north corner, he made twenty boards,(KJV-1611) Exo 36:25 Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a,(Creole-HT) ======= Exodus 36:26 ============ Exo 36:26 And their forty sockets of silver; two sockets under one board, and two sockets under another board.(KJV-1611) Exo 36:26 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.(Creole-HT) ======= Exodus 36:27 ============ Exo 36:27 And for the sides of the tabernacle westward he made six boards.(KJV-1611) Exo 36:27 Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman(Creole-HT) ======= Exodus 36:28 ============ Exo 36:28 And two boards made he for the corners of the tabernacle in the two sides.(KJV-1611) Exo 36:28 ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Exodus 36:29 ============ Exo 36:29 And they were coupled beneath, and coupled together at the head thereof, to one ring: thus he did to both of them in both the corners.(KJV-1611) Exo 36:29 Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo.(Creole-HT) ======= Exodus 36:30 ============ Exo 36:30 And there were eight boards; and their sockets were sixteen sockets of silver, under every board two sockets.(KJV-1611) Exo 36:30 Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman.(Creole-HT) ======= Exodus 36:31 ============ Exo 36:31 And he made bars of shittim wood; five for the boards of the one side of the tabernacle,(KJV-1611) Exo 36:31 Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a,(Creole-HT) ======= Exodus 36:32 ============ Exo 36:32 And five bars for the boards of the other side of the tabernacle, and five bars for the boards of the tabernacle for the sides westward.(KJV-1611) Exo 36:32 senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè.(Creole-HT) ======= Exodus 36:33 ============ Exo 36:33 And he made the middle bar to shoot through the boards from the one end to the other.(KJV-1611) Exo 36:33 Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la.(Creole-HT) ======= Exodus 36:34 ============ Exo 36:34 And he overlaid the boards with gold, and made their rings of gold to be places for the bars, and overlaid the bars with gold.(KJV-1611) Exo 36:34 Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou.(Creole-HT) ======= Exodus 36:35 ============ Exo 36:35 And he made a vail of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen: with cherubims made he it of cunning work.(KJV-1611) Exo 36:35 Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.(Creole-HT) ======= Exodus 36:36 ============ Exo 36:36 And he made thereunto four pillars of shittim wood, and overlaid them with gold: their hooks were of gold; and he cast for them four sockets of silver.(KJV-1611) Exo 36:36 Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo.(Creole-HT) ======= Exodus 36:37 ============ Exo 36:37 And he made an hanging for the tabernacle door of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen, of needlework;(KJV-1611) Exo 36:37 Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'.(Creole-HT) ======= Exodus 36:38 ============ Exo 36:38 And the five pillars of it with their hooks: and he overlaid their chapiters and their fillets with gold: but their five sockets were of brass.(KJV-1611) Exo 36:38 Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo.(Creole-HT) ======= Exodus 37:1 ============ Exo 37:1 And Bezaleel made the ark of shittim wood: two cubits and a half was the length of it, and a cubit and a half the breadth of it, and a cubit and a half the height of it:(KJV-1611) Exo 37:1 Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 37:2 ============ Exo 37:2 And he overlaid it with pure gold within and without, and made a crown of gold to it round about.(KJV-1611) Exo 37:2 Li kouvri l' nèt, andedan kou deyò, ak pi bon kalite lò ki genyen. Li mete yon bòdi an lò fè wonn li.(Creole-HT) ======= Exodus 37:3 ============ Exo 37:3 And he cast for it four rings of gold, to be set by the four corners of it; even two rings upon the one side of it, and two rings upon the other side of it.(KJV-1611) Exo 37:3 Li fonn lò pou fè kat gwo bag tou won pou bwat la. Li moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.(Creole-HT) ======= Exodus 37:4 ============ Exo 37:4 And he made staves of shittim wood, and overlaid them with gold.(KJV-1611) Exo 37:4 Li fè de jenn ti poto an bwa zakasya, li kouvri yo nèt ak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 37:5 ============ Exo 37:5 And he put the staves into the rings by the sides of the ark, to bear the ark.(KJV-1611) Exo 37:5 Li pase poto yo nan twou bag yo, yonn sou chak bò bwat la pou yo te kapab pote l' kote yo vle.(Creole-HT) ======= Exodus 37:6 ============ Exo 37:6 And he made the mercy seat of pure gold: two cubits and a half was the length thereof, and one cubit and a half the breadth thereof.(KJV-1611) Exo 37:6 Li fè yon kouvèti an bon lò pou bwat la. Kouvèti a te mezire twa pye nèf pous longè ak de pye twa pous lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 37:7 ============ Exo 37:7 And he made two cherubims of gold, beaten out of one piece made he them, on the two ends of the mercy seat;(KJV-1611) Exo 37:7 Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a,(Creole-HT) ======= Exodus 37:8 ============ Exo 37:8 One cherub on the end on this side, and another cherub on the other end on that side: out of the mercy seat made he the cherubims on the two ends thereof.(KJV-1611) Exo 37:8 yonn sou bò gòch, lòt la sou bò dwat. Li fè yo tankou si yo te fè yon sèl pyès ak kouvèti a.(Creole-HT) ======= Exodus 37:9 ============ Exo 37:9 And the cherubims spread out their wings on high, and covered with their wings over the mercy seat, with their faces one to another; even to the mercy seatward were the faces of the cherubims.(KJV-1611) Exo 37:9 Zanj cheriben yo te gen zèl yo louvri anwo tèt yo pou kouvri kouvèti a. Yo te yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.(Creole-HT) ======= Exodus 37:10 ============ Exo 37:10 And he made the table of shittim wood: two cubits was the length thereof, and a cubit the breadth thereof, and a cubit and a half the height thereof:(KJV-1611) Exo 37:10 Li fè tab la an bwa zakasya. Tab la te mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 37:11 ============ Exo 37:11 And he overlaid it with pure gold, and made thereunto a crown of gold round about.(KJV-1611) Exo 37:11 Li kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen, li mete yon bòdi an lò fè wonn li.(Creole-HT) ======= Exodus 37:12 ============ Exo 37:12 Also he made thereunto a border of an handbreadth round about; and made a crown of gold for the border thereof round about.(KJV-1611) Exo 37:12 Li mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi li kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 37:13 ============ Exo 37:13 And he cast for it four rings of gold, and put the rings upon the four corners that were in the four feet thereof.(KJV-1611) Exo 37:13 Li fè kat gwo bag tou won an lò. Li moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.(Creole-HT) ======= Exodus 37:14 ============ Exo 37:14 Over against the border were the rings, the places for the staves to bear the table.(KJV-1611) Exo 37:14 Li te moute bag won yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo yo pase poto bwa ki pou sèvi pou pote tab la.(Creole-HT) ======= Exodus 37:15 ============ Exo 37:15 And he made the staves of shittim wood, and overlaid them with gold, to bear the table.(KJV-1611) Exo 37:15 Li fè poto yo ak bwa zakasya, epi li kouvri yo nèt ak lò. Se poto sa yo ki sèvi pou pote tab la.(Creole-HT) ======= Exodus 37:16 ============ Exo 37:16 And he made the vessels which were upon the table, his dishes, and his spoons, and his bowls, and his covers to cover withal, of pure gold.(KJV-1611) Exo 37:16 Li fè tout bagay ki pou ale sou tab la: asyèt, bòl, tas, gode, bagay ki pou sèvi lè y'ap fè sèvis pou Bondye. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.(Creole-HT) ======= Exodus 37:17 ============ Exo 37:17 And he made the candlestick of pure gold: of beaten work made he the candlestick; his shaft, and his branch, his bowls, his knops, and his flowers, were of the same:(KJV-1611) Exo 37:17 Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li.(Creole-HT) ======= Exodus 37:18 ============ Exo 37:18 And six branches going out of the sides thereof; three branches of the candlestick out of the one side thereof, and three branches of the candlestick out of the other side thereof:(KJV-1611) Exo 37:18 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò.(Creole-HT) ======= Exodus 37:19 ============ Exo 37:19 Three bowls made after the fashion of almonds in one branch, a knop and a flower; and three bowls made like almonds in another branch, a knop and a flower: so throughout the six branches going out of the candlestick.(KJV-1611) Exo 37:19 Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo.(Creole-HT) ======= Exodus 37:20 ============ Exo 37:20 And in the candlestick were four bowls made like almonds, his knops, and his flowers:(KJV-1611) Exo 37:20 Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 37:21 ============ Exo 37:21 And a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, according to the six branches going out of it.(KJV-1611) Exo 37:21 Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.(Creole-HT) ======= Exodus 37:22 ============ Exo 37:22 Their knops and their branches were of the same: all of it was one beaten work of pure gold.(KJV-1611) Exo 37:22 Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout.(Creole-HT) ======= Exodus 37:23 ============ Exo 37:23 And he made his seven lamps, and his snuffers, and his snuffdishes, of pure gold.(KJV-1611) Exo 37:23 Li fè sèt ti lanp pou lanp sèt branch lan avèk pensèt pou netwaye lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. Li fè yo ak pi bon lò ki genyen.(Creole-HT) ======= Exodus 37:24 ============ Exo 37:24 Of a talent of pure gold made he it, and all the vessels thereof.(KJV-1611) Exo 37:24 Li te pran swasannkenz liv bon lò pou fè lanp sèt branch lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak lanp sèt branch lan.(Creole-HT) ======= Exodus 37:25 ============ Exo 37:25 And he made the incense altar of shittim wood: the length of it was a cubit, and the breadth of it a cubit; it was foursquare; and two cubits was the height of it; the horns thereof were of the same.(KJV-1611) Exo 37:25 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule lansan an ak bwa zakasya. Li fè l' kare kare: dizwit pous lajè, dizwit pous longè, trannsis pous wotè. Kat kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 37:26 ============ Exo 37:26 And he overlaid it with pure gold, both the top of it, and the sides thereof round about, and the horns of it: also he made unto it a crown of gold round about.(KJV-1611) Exo 37:26 Bezaleyèl kouvri tout anwo lòtèl la, kat kote l' yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. Apre sa, li mete yon bòdi an lò fè wonn li.(Creole-HT) ======= Exodus 37:27 ============ Exo 37:27 And he made two rings of gold for it under the crown thereof, by the two corners of it, upon the two sides thereof, to be places for the staves to bear it withal.(KJV-1611) Exo 37:27 Li fè de bag an lò, li moute yo anba bòdi a sou de kote lòtèl la. Se nan bag sa yo pou yo pase manch ki pou sèvi pou pote lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 37:28 ============ Exo 37:28 And he made the staves of shittim wood, and overlaid them with gold.(KJV-1611) Exo 37:28 Li fè manch yo an bwa zakasya epi li kouvri yo nèt ak lò.(Creole-HT) ======= Exodus 37:29 ============ Exo 37:29 And he made the holy anointing oil, and the pure incense of sweet spices, according to the work of the apothecary.(KJV-1611) Exo 37:29 Bezaleyèl fè lwil ki pou sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou Bondye a ansanm ak lansan santi bon an, jan moun ki konn fè odè avèk ladrès yo fè yo.(Creole-HT) ======= Exodus 38:1 ============ Exo 38:1 And he made the altar of burnt offering of shittim wood: five cubits was the length thereof, and five cubits the breadth thereof; it was foursquare; and three cubits the height thereof.(KJV-1611) Exo 38:1 Bezaleyèl fè lòtèl pou boule ofrann yo an bwa zakasya. Li fè l' kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè.(Creole-HT) ======= Exodus 38:2 ============ Exo 38:2 And he made the horns thereof on the four corners of it; the horns thereof were of the same: and he overlaid it with brass.(KJV-1611) Exo 38:2 Li travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 38:3 ============ Exo 38:3 And he made all the vessels of the altar, the pots, and the shovels, and the basons, and the fleshhooks, and the firepans: all the vessels thereof made he of brass.(KJV-1611) Exo 38:3 Li fè tout bagay ki pou mache ak lòtèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 38:4 ============ Exo 38:4 And he made for the altar a brasen grate of network under the compass thereof beneath unto the midst of it.(KJV-1611) Exo 38:4 Li fè yon griyaj an kwiv pou lòtèl la, tankou griy pou griye vyann. Li mete griyaj la anba rebò lòtèl la, li fè l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 38:5 ============ Exo 38:5 And he cast four rings for the four ends of the grate of brass, to be places for the staves.(KJV-1611) Exo 38:5 Li fè kat gwo bag tou won an kwiv, li mete yo nan kat pwent griyaj la. Se nan bag sa yo pou yo pase poto ki sèvi manch pou pote lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 38:6 ============ Exo 38:6 And he made the staves of shittim wood, and overlaid them with brass.(KJV-1611) Exo 38:6 Apre sa, li fè manch an bwa zakasya, li kouvri yo an kwiv nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 38:7 ============ Exo 38:7 And he put the staves into the rings on the sides of the altar, to bear it withal; he made the altar hollow with boards.(KJV-1611) Exo 38:7 Li pase manch yo nan bag won yo sou chak bò lòtèl la, pou yo ka pote lòtèl la. Li fè lòtèl la an planch. Tout anndan lòtèl la te rete vid.(Creole-HT) ======= Exodus 38:8 ============ Exo 38:8 And he made the laver of brass, and the foot of it of brass, of the lookingglasses of the women assembling, which assembled at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Exo 38:8 Bezaleyel pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basen an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l' chita.(Creole-HT) ======= Exodus 38:9 ============ Exo 38:9 And he made the court: on the south side southward the hangings of the court were of fine twined linen, an hundred cubits:(KJV-1611) Exo 38:9 Li fè galeri a. Sou bò sid la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè.(Creole-HT) ======= Exodus 38:10 ============ Exo 38:10 Their pillars were twenty, and their brasen sockets twenty; the hooks of the pillars and their fillets were of silver.(KJV-1611) Exo 38:10 Ven ankadreman yo ak ven sipò yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:11 ============ Exo 38:11 And for the north side the hangings were an hundred cubits, their pillars were twenty, and their sockets of brass twenty; the hooks of the pillars and their fillets of silver.(KJV-1611) Exo 38:11 Menm jan an tou, sou bò nò a, li moute yon seri rido ki gen senkant mèt longè avèk ven poto sou ven sipò an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo te an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:12 ============ Exo 38:12 And for the west side were hangings of fifty cubits, their pillars ten, and their sockets ten; the hooks of the pillars and their fillets of silver.(KJV-1611) Exo 38:12 Sou bò lwès la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal ki mezire ven mèt longè, avèk dis poto chita sou dis sipò avèk kwòk poto yo ak trenng yo an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:13 ============ Exo 38:13 And for the east side eastward fifty cubits.(KJV-1611) Exo 38:13 Sou bò lès la, galeri a te gen swasannkenz pye lajè.(Creole-HT) ======= Exodus 38:14 ============ Exo 38:14 The hangings of the one side of the gate were fifteen cubits; their pillars three, and their sockets three.(KJV-1611) Exo 38:14 Sou bò gòch espas kote yo antre a, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.(Creole-HT) ======= Exodus 38:15 ============ Exo 38:15 And for the other side of the court gate, on this hand and that hand, were hangings of fifteen cubits; their pillars three, and their sockets three.(KJV-1611) Exo 38:15 Sou bò dwat la, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Se konsa sa te fèt chak bò pòt kote yo antre a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:16 ============ Exo 38:16 All the hangings of the court round about were of fine twined linen.(KJV-1611) Exo 38:16 Tout rido yo te fèt ak twal fen blan tise byen sere.(Creole-HT) ======= Exodus 38:17 ============ Exo 38:17 And the sockets for the pillars were of brass; the hooks of the pillars and their fillets of silver; and the overlaying of their chapiters of silver; and all the pillars of the court were filleted with silver.(KJV-1611) Exo 38:17 Sipò poto yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak trenng yo, te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. Tout poto galeri a te mare yonn ak lòt ak trenng an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:18 ============ Exo 38:18 And the hanging for the gate of the court was needlework, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen: and twenty cubits was the length, and the height in the breadth was five cubits, answerable to the hangings of the court.(KJV-1611) Exo 38:18 Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l'. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:19 ============ Exo 38:19 And their pillars were four, and their sockets of brass four; their hooks of silver, and the overlaying of their chapiters and their fillets of silver.(KJV-1611) Exo 38:19 Kat poto kwen, chita sou kat sipò an kwiv tou, t'ap soutni rido pòt la. Kwòk yo ak trenng yo te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:20 ============ Exo 38:20 And all the pins of the tabernacle, and of the court round about, were of brass.(KJV-1611) Exo 38:20 Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv.(Creole-HT) ======= Exodus 38:21 ============ Exo 38:21 This is the sum of the tabernacle, even of the tabernacle of testimony, as it was counted, according to the commandment of Moses, for the service of the Levites, by the hand of Ithamar, son to Aaron the priest.(KJV-1611) Exo 38:21 Men kantite metal yo te sèvi pou fè tant kote yo mete Bwat Kontra a. Dapre lòd Moyiz te bay, se pitit Levi yo ki te fè lis metal yo, epi se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki t'ap dirije yo nan travay sa a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:22 ============ Exo 38:22 And Bezaleel the son Uri, the son of Hur, of the tribe of Judah, made all that the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 38:22 Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a, te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:23 ============ Exo 38:23 And with him was Aholiab, son of Ahisamach, of the tribe of Dan, an engraver, and a cunning workman, and an embroiderer in blue, and in purple, and in scarlet, and fine linen.(KJV-1611) Exo 38:23 Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan.(Creole-HT) ======= Exodus 38:24 ============ Exo 38:24 All the gold that was occupied for the work in all the work of the holy place, even the gold of the offering, was twenty and nine talents, and seven hundred and thirty shekels, after the shekel of the sanctuary.(KJV-1611) Exo 38:24 Tout lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:25 ============ Exo 38:25 And the silver of them that were numbered of the congregation was an hundred talents, and a thousand seven hundred and threescore and fifteen shekels, after the shekel of the sanctuary:(KJV-1611) Exo 38:25 Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Exodus 38:26 ============ Exo 38:26 A bekah for every man, that is, half a shekel, after the shekel of the sanctuary, for every one that went to be numbered, from twenty years old and upward, for six hundred thousand and three thousand and five hundred and fifty men.(KJV-1611) Exo 38:26 Sa se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Seyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an.(Creole-HT) ======= Exodus 38:27 ============ Exo 38:27 And of the hundred talents of silver were cast the sockets of the sanctuary, and the sockets of the vail; an hundred sockets of the hundred talents, a talent for a socket.(KJV-1611) Exo 38:27 Nan dimil swasanndis liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv.(Creole-HT) ======= Exodus 38:28 ============ Exo 38:28 And of the thousand seven hundred seventy and five shekels he made hooks for the pillars, and overlaid their chapiters, and filleted them.(KJV-1611) Exo 38:28 Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak trenng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo.(Creole-HT) ======= Exodus 38:29 ============ Exo 38:29 And the brass of the offering was seventy talents, and two thousand and four hundred shekels.(KJV-1611) Exo 38:29 Yo te ofri bay Seyè a sètmil katrevendis liv kwiv antou.(Creole-HT) ======= Exodus 38:30 ============ Exo 38:30 And therewith he made the sockets to the door of the tabernacle of the congregation, and the brasen altar, and the brasen grate for it, and all the vessels of the altar,(KJV-1611) Exo 38:30 Yo sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lòtèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lòtèl la.(Creole-HT) ======= Exodus 38:31 ============ Exo 38:31 And the sockets of the court round about, and the sockets of the court gate, and all the pins of the tabernacle, and all the pins of the court round about.(KJV-1611) Exo 38:31 Yo fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Seyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.(Creole-HT) ======= Exodus 39:1 ============ Exo 39:1 And of the blue, and purple, and scarlet, they made cloths of service, to do service in the holy place, and made the holy garments for Aaron; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:1 Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 39:2 ============ Exo 39:2 And he made the ephod of gold, blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen.(KJV-1611) Exo 39:2 Yo fè jile a ak lò, ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen blan tise byen sere.(Creole-HT) ======= Exodus 39:3 ============ Exo 39:3 And they did beat the gold into thin plates, and cut it into wires, to work it in the blue, and in the purple, and in the scarlet, and in the fine linen, with cunning work.(KJV-1611) Exo 39:3 Yo pran fèy lò, yo bat yo, yo koupe yo an filang, yo travay yo nan twal ble, violèt ak wouj la, ansanm ak nan twal fen blan an. Yo bwode yo byen bèl ak anpil ladrès.(Creole-HT) ======= Exodus 39:4 ============ Exo 39:4 They made shoulderpieces for it, to couple it together: by the two edges was it coupled together.(KJV-1611) Exo 39:4 Yo fè zèpòlèt pou jile a. Yo tache yo yonn chak bò jile a pou kenbe moso devan an ak moso dèyè a nan plas yo.(Creole-HT) ======= Exodus 39:5 ============ Exo 39:5 And the curious girdle of his ephod, that was upon it, was of the same, according to the work thereof; of gold, blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:5 Bèl sentiwon byen bwode ki mache ak jile a te fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a. Yo te fè l' an lò avèk twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 39:6 ============ Exo 39:6 And they wrought onyx stones inclosed in ouches of gold, graven, as signets are graven, with the names of the children of Israel.(KJV-1611) Exo 39:6 Apre sa, yo pran pyè oniks yo, yo moute yo chak sou yon gwo moso lò, yo grave non douz branch fanmi Izrayèl yo tankou lè y'ap grave non moun sou so.(Creole-HT) ======= Exodus 39:7 ============ Exo 39:7 And he put them on the shoulders of the ephod, that they should be stones for a memorial to the children of Israel; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:7 Yo moute pyè yo sou de zèpòlèt jile a, pou yo toujou chonje branch fanmi pep Izrayèl yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:8 ============ Exo 39:8 And he made the breastplate of cunning work, like the work of the ephod; of gold, blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen.(KJV-1611) Exo 39:8 Yo fè plastwon an, yo bwode l' byen bèl ak anpil ladrès tankou jile a. Yo fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.(Creole-HT) ======= Exodus 39:9 ============ Exo 39:9 It was foursquare; they made the breastplate double: a span was the length thereof, and a span the breadth thereof, being doubled.(KJV-1611) Exo 39:9 Yo fè l' kare kare, epi yo double l'. Li te mezire nèf pous kare kare, li te double.(Creole-HT) ======= Exodus 39:10 ============ Exo 39:10 And they set in it four rows of stones: the first row was a sardius, a topaz, and a carbuncle: this was the first row.(KJV-1611) Exo 39:10 Yo moute kat ranje pyè sou li. Nan premye ranje a, yo mete yon pyè woubi, yon pyè topaz ak yon pyè emwòd.(Creole-HT) ======= Exodus 39:11 ============ Exo 39:11 And the second row, an emerald, a sapphire, and a diamond.(KJV-1611) Exo 39:11 Nan dezyèm ranje a, yo mete yon pyè malachi, yon pyè safi ak yon pyè dyaman.(Creole-HT) ======= Exodus 39:12 ============ Exo 39:12 And the third row, a ligure, an agate, and an amethyst.(KJV-1611) Exo 39:12 Nan twazyèm ranje a, yo mete yon pyè opal, yon pyè agat ak yon pyè ametis.(Creole-HT) ======= Exodus 39:13 ============ Exo 39:13 And the fourth row, a beryl, an onyx, and a jasper: they were inclosed in ouches of gold in their inclosings.(KJV-1611) Exo 39:13 Nan katriyèm ranje a, yo mete yon pyè krizolit, yon pyè oniks ak yon pyè jasp. Yo te moute chak pyè sou yon moso lò.(Creole-HT) ======= Exodus 39:14 ============ Exo 39:14 And the stones were according to the names of the children of Israel, twelve, according to their names, like the engravings of a signet, every one with his name, according to the twelve tribes.(KJV-1611) Exo 39:14 Te gen antou douz pyè ak non douz branch fanmi pèp Izrayèl yo grave yonn sou chak pyè. Yo te grave yon non sou chak pyè tankou lè òfèv ap grave so sou bag.(Creole-HT) ======= Exodus 39:15 ============ Exo 39:15 And they made upon the breastplate chains at the ends, of wreathen work of pure gold.(KJV-1611) Exo 39:15 Yo fè ti chenn pou plastwon an. Ti chenn yo te trese tankou ti kòdon. Yo te fèt ak pi bon kalite lò ki genyen.(Creole-HT) ======= Exodus 39:16 ============ Exo 39:16 And they made two ouches of gold, and two gold rings; and put the two rings in the two ends of the breastplate.(KJV-1611) Exo 39:16 Apre sa, yo fè de moso lò pou moute pyè yo ak de bag an lò. Yo moute de bag yo nan de bout anwo plastwon an.(Creole-HT) ======= Exodus 39:17 ============ Exo 39:17 And they put the two wreathen chains of gold in the two rings on the ends of the breastplate.(KJV-1611) Exo 39:17 Yo mare de ti kòdon an lò yo nan de bag yo, nan bout anwo plastwon an.(Creole-HT) ======= Exodus 39:18 ============ Exo 39:18 And the two ends of the two wreathen chains they fastened in the two ouches, and put them on the shoulderpieces of the ephod, before it.(KJV-1611) Exo 39:18 Yo pran de lòt bout chenn yo, yo fè yo pase sou devan jile a. Yo tache yo sou de moso lò yo ki sou zèpòlèt jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 39:19 ============ Exo 39:19 And they made two rings of gold, and put them on the two ends of the breastplate, upon the border of it, which was on the side of the ephod inward.(KJV-1611) Exo 39:19 Yo fè de lòt bag an lò, yo tache yo nan bout anba plastwon an sou lanvè, nan bòdi a toupre jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 39:20 ============ Exo 39:20 And they made two other golden rings, and put them on the two sides of the ephod underneath, toward the forepart of it, over against the other coupling thereof, above the curious girdle of the ephod.(KJV-1611) Exo 39:20 Yo fè de lòt bag an lò ankò, yo tache yo anba de zèpòlèt jile a, sou devan, toupre kouti a anwo sentiwon jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 39:21 ============ Exo 39:21 And they did bind the breastplate by his rings unto the rings of the ephod with a lace of blue, that it might be above the curious girdle of the ephod, and that the breastplate might not be loosed from the ephod; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:21 Yo mare de bag plastwon an ak de bag jile a ansanm ak yon kòdon ble pou plastwon an bat sou sentiwon jile a. Konsa, plastwon an p'ap ka soti detache sou jile a. Yo fè tou sa dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 39:22 ============ Exo 39:22 And he made the robe of the ephod of woven work, all of blue.(KJV-1611) Exo 39:22 Apre sa, yo pran twal ble, yo fè rad ki pou ale anba jile a.(Creole-HT) ======= Exodus 39:23 ============ Exo 39:23 And there was an hole in the midst of the robe, as the hole of an habergeon, with a band round about the hole, that it should not rend.(KJV-1611) Exo 39:23 Nan mitan rad la, yo fè yon twou pou pase nan tèt prèt la, epi yo mete yon doubli nan ankoli a tankou yo fè l' pou varèz an po bèt yo, pou li pa chire.(Creole-HT) ======= Exodus 39:24 ============ Exo 39:24 And they made upon the hems of the robe pomegranates of blue, and purple, and scarlet, and twined linen.(KJV-1611) Exo 39:24 Yo pran twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, yo fè bodri an fòm grenad sou tout woulèt anba rad la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:25 ============ Exo 39:25 And they made bells of pure gold, and put the bells between the pomegranates upon the hem of the robe, round about between the pomegranates;(KJV-1611) Exo 39:25 Yo fè ti klòch an lò, yo mete yo nan espas ki separe grenad yo sou tout woulèt rad la. Ti klòch yo ak grenad yo te fè wonn rad la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:26 ============ Exo 39:26 A bell and a pomegranate, a bell and a pomegranate, round about the hem of the robe to minister in; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:26 Yon ti klòch, yon grenad, yon ti klòch, yon grenad sou tout woulèt rad la pa anba, jouk yo fè tout tou rad pou Arawon mete sou li lè l'ap fè sèvis la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:27 ============ Exo 39:27 And they made coats of fine linen of woven work for Aaron, and for his sons,(KJV-1611) Exo 39:27 Yo pran twal fen blan, yo fè chemiz pou Arawon ak pou pitit gason l' yo.(Creole-HT) ======= Exodus 39:28 ============ Exo 39:28 And a mitre of fine linen, and goodly bonnets of fine linen, and linen breeches of fine twined linen,(KJV-1611) Exo 39:28 Yo pran twal fen blan, yo fè mouchwa tèt la ak ganiti pou bonnèt yo pou moun rekonèt grad yo. Epi yo pran twal fen blan tise byen sere, yo fè kalson yo.(Creole-HT) ======= Exodus 39:29 ============ Exo 39:29 And a girdle of fine twined linen, and blue, and purple, and scarlet, of needlework; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:29 Yo pran twal fen blan tise byen sere ak bon twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè sentiwon bwode byen bèl la, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:30 ============ Exo 39:30 And they made the plate of the holy crown of pure gold, and wrote upon it a writing, like to the engravings of a signet, HOLINESS TO THE LORD.(KJV-1611) Exo 39:30 Yo fè ti plak lò ki pou ale sou mouchwa tèt la ak pi bon kalite lò ki genyen. Yo grave pawòl sa a sou li: Apa pou Seyè a, tankou lè y'ap grave so sou bag.(Creole-HT) ======= Exodus 39:31 ============ Exo 39:31 And they tied unto it a lace of blue, to fasten it on high upon the mitre; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 39:31 Yo mare l' ak yon ti kòdon ble anwo nèt sou devan mouchwa tèt la, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 39:32 ============ Exo 39:32 Thus was all the work of the tabernacle of the tent of the congregation finished: and the children of Israel did according to all that the LORD commanded Moses, so did they.(KJV-1611) Exo 39:32 Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.(Creole-HT) ======= Exodus 39:33 ============ Exo 39:33 And they brought the tabernacle unto Moses, the tent, and all his furniture, his taches, his boards, his bars, and his pillars, and his sockets,(KJV-1611) Exo 39:33 Yo pran tout bagay, yo pote yo bay Moyiz, depi tant lan, kay kote pou Bondye rete a, ak tout bagay ki mache avè li yo, kwòk li yo, ankadreman li yo, trenng li yo, poto li yo ak sipò yo,(Creole-HT) ======= Exodus 39:34 ============ Exo 39:34 And the covering of rams' skins dyed red, and the covering of badgers' skins, and the vail of the covering,(KJV-1611) Exo 39:34 twati ki fèt ak po belye tenn tou wouj yo, twati yo fè ak po bazann ak rido pou kache Bwat Kontra a,(Creole-HT) ======= Exodus 39:35 ============ Exo 39:35 The ark of the testimony, and the staves thereof, and the mercy seat,(KJV-1611) Exo 39:35 bwat ki gen de moso ròch kontra yo, manch li yo ak kouvèti a,(Creole-HT) ======= Exodus 39:36 ============ Exo 39:36 The table, and all the vessels thereof, and the shewbread,(KJV-1611) Exo 39:36 tab la ak tou sa ki pou sèvi ak tab la, pen yo ofri bay Bondye a,(Creole-HT) ======= Exodus 39:37 ============ Exo 39:37 The pure candlestick, with the lamps thereof, even with the lamps to be set in order, and all the vessels thereof, and the oil for light,(KJV-1611) Exo 39:37 gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo,(Creole-HT) ======= Exodus 39:38 ============ Exo 39:38 And the golden altar, and the anointing oil, and the sweet incense, and the hanging for the tabernacle door,(KJV-1611) Exo 39:38 lòtèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan,(Creole-HT) ======= Exodus 39:39 ============ Exo 39:39 The brasen altar, and his grate of brass, his staves, and all his vessels, the laver and his foot,(KJV-1611) Exo 39:39 lòtèl fèt an kwiv la avèk griyaj an kwiv la, manch yo ak tou sa ki pou sèvi ak lòtèl la, basen lan ak pye l' a,(Creole-HT) ======= Exodus 39:40 ============ Exo 39:40 The hangings of the court, his pillars, and his sockets, and the hanging for the court gate, his cords, and his pins, and all the vessels of the service of the tabernacle, for the tent of the congregation,(KJV-1611) Exo 39:40 rido pou galeri a, poto yo, sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre sou galeri a, kòd yo, pikèt yo ak tou sa yo bezwen pou fè sèvis nan Tant Randevou a kote pou Bondye rete a,(Creole-HT) ======= Exodus 39:41 ============ Exo 39:41 The cloths of service to do service in the holy place, and the holy garments for Aaron the priest, and his sons' garments, to minister in the priest's office.(KJV-1611) Exo 39:41 bèl rad seremoni pou yo mete lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, mete sou li ansanm ak rad pou pitit gason l' yo mete sou yo lè y'ap fè travay prèt yo.(Creole-HT) ======= Exodus 39:42 ============ Exo 39:42 According to all that the LORD commanded Moses, so the children of Israel made all the work.(KJV-1611) Exo 39:42 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tout travay la jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 39:43 ============ Exo 39:43 And Moses did look upon all the work, and, behold, they had done it as the LORD had commanded, even so had they done it: and Moses blessed them.(KJV-1611) Exo 39:43 Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo.(Creole-HT) ======= Exodus 40:1 ============ Exo 40:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Exo 40:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Exodus 40:2 ============ Exo 40:2 On the first day of the first month shalt thou set up the tabernacle of the tent of the congregation.(KJV-1611) Exo 40:2 -Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:3 ============ Exo 40:3 And thou shalt put therein the ark of the testimony, and cover the ark with the vail.(KJV-1611) Exo 40:3 W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:4 ============ Exo 40:4 And thou shalt bring in the table, and set in order the things that are to be set in order upon it; and thou shalt bring in the candlestick, and light the lamps thereof.(KJV-1611) Exo 40:4 Apre sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li.(Creole-HT) ======= Exodus 40:5 ============ Exo 40:5 And thou shalt set the altar of gold for the incense before the ark of the testimony, and put the hanging of the door to the tabernacle.(KJV-1611) Exo 40:5 W'a pran lòtèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l' devan bwat ki gen ròch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:6 ============ Exo 40:6 And thou shalt set the altar of the burnt offering before the door of the tabernacle of the tent of the congregation.(KJV-1611) Exo 40:6 W'a pran lòtèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l' devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:7 ============ Exo 40:7 And thou shalt set the laver between the tent of the congregation and the altar, and shalt put water therein.(KJV-1611) Exo 40:7 W'a mete basen lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lòtèl la. W'a mete dlo ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 40:8 ============ Exo 40:8 And thou shalt set up the court round about, and hang up the hanging at the court gate.(KJV-1611) Exo 40:8 W'a moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:9 ============ Exo 40:9 And thou shalt take the anointing oil, and anoint the tabernacle, and all that is therein, and shalt hallow it, and all the vessels thereof: and it shall be holy.(KJV-1611) Exo 40:9 W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt.(Creole-HT) ======= Exodus 40:10 ============ Exo 40:10 And thou shalt anoint the altar of the burnt offering, and all his vessels, and sanctify the altar: and it shall be an altar most holy.(KJV-1611) Exo 40:10 W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale.(Creole-HT) ======= Exodus 40:11 ============ Exo 40:11 And thou shalt anoint the laver and his foot, and sanctify it.(KJV-1611) Exo 40:11 W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Exodus 40:12 ============ Exo 40:12 And thou shalt bring Aaron and his sons unto the door of the tabernacle of the congregation, and wash them with water.(KJV-1611) Exo 40:12 Apre sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen.(Creole-HT) ======= Exodus 40:13 ============ Exo 40:13 And thou shalt put upon Aaron the holy garments, and anoint him, and sanctify him; that he may minister unto me in the priest's office.(KJV-1611) Exo 40:13 W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt li. W'a mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Exodus 40:14 ============ Exo 40:14 And thou shalt bring his sons, and clothe them with coats:(KJV-1611) Exo 40:14 W'a fè pitit gason l' yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo.(Creole-HT) ======= Exodus 40:15 ============ Exo 40:15 And thou shalt anoint them, as thou didst anoint their father, that they may minister unto me in the priest's office: for their anointing shall surely be an everlasting priesthood throughout their generations.(KJV-1611) Exo 40:15 W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Exodus 40:16 ============ Exo 40:16 Thus did Moses: according to all that the LORD commanded him, so did he.(KJV-1611) Exo 40:16 Moyiz te fè tou sa Seyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Seyè a te mande l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:17 ============ Exo 40:17 And it came to pass in the first month in the second year, on the first day of the month, that the tabernacle was reared up.(KJV-1611) Exo 40:17 Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:18 ============ Exo 40:18 And Moses reared up the tabernacle, and fastened his sockets, and set up the boards thereof, and put in the bars thereof, and reared up his pillars.(KJV-1611) Exo 40:18 Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.(Creole-HT) ======= Exodus 40:19 ============ Exo 40:19 And he spread abroad the tent over the tabernacle, and put the covering of the tent above upon it; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:19 Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:20 ============ Exo 40:20 And he took and put the testimony into the ark, and set the staves on the ark, and put the mercy seat above upon the ark:(KJV-1611) Exo 40:20 Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:21 ============ Exo 40:21 And he brought the ark into the tabernacle, and set up the vail of the covering, and covered the ark of the testimony; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:21 Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:22 ============ Exo 40:22 And he put the table in the tent of the congregation, upon the side of the tabernacle northward, without the vail.(KJV-1611) Exo 40:22 Li mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:23 ============ Exo 40:23 And he set the bread in order upon it before the LORD; as the LORD had commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:23 Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:24 ============ Exo 40:24 And he put the candlestick in the tent of the congregation, over against the table, on the side of the tabernacle southward.(KJV-1611) Exo 40:24 Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:25 ============ Exo 40:25 And he lighted the lamps before the LORD; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:25 Li ranje ti lanp yo devan Seyè a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Exodus 40:26 ============ Exo 40:26 And he put the golden altar in the tent of the congregation before the vail:(KJV-1611) Exo 40:26 Li mete lòtèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:27 ============ Exo 40:27 And he burnt sweet incense thereon; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:27 Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:28 ============ Exo 40:28 And he set up the hanging at the door of the tabernacle.(KJV-1611) Exo 40:28 Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:29 ============ Exo 40:29 And he put the altar of burnt offering by the door of the tabernacle of the tent of the congregation, and offered upon it the burnt offering and the meat offering; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:29 Li mete lòtèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lòtèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Seyè a te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:30 ============ Exo 40:30 And he set the laver between the tent of the congregation and the altar, and put water there, to wash withal.(KJV-1611) Exo 40:30 Li mete basen lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lòtèl la, epi li mete dlo ladan l'.(Creole-HT) ======= Exodus 40:31 ============ Exo 40:31 And Moses and Aaron and his sons washed their hands and their feet thereat:(KJV-1611) Exo 40:31 Moyiz, Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basen lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:32 ============ Exo 40:32 When they went into the tent of the congregation, and when they came near unto the altar, they washed; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Exo 40:32 Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lòtèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Exodus 40:33 ============ Exo 40:33 And he reared up the court round about the tabernacle and the altar, and set up the hanging of the court gate. So Moses finished the work.(KJV-1611) Exo 40:33 Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lòtèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.(Creole-HT) ======= Exodus 40:34 ============ Exo 40:34 Then a cloud covered the tent of the congregation, and the glory of the LORD filled the tabernacle.(KJV-1611) Exo 40:34 Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:35 ============ Exo 40:35 And Moses was not able to enter into the tent of the congregation, because the cloud abode thereon, and the glory of the LORD filled the tabernacle.(KJV-1611) Exo 40:35 Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.(Creole-HT) ======= Exodus 40:36 ============ Exo 40:36 And when the cloud was taken up from over the tabernacle, the children of Israel went onward in all their journeys:(KJV-1611) Exo 40:36 Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.(Creole-HT) ======= Exodus 40:37 ============ Exo 40:37 But if the cloud were not taken up, then they journeyed not till the day that it was taken up.(KJV-1611) Exo 40:37 Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.(Creole-HT) ======= Exodus 40:38 ============ Exo 40:38 For the cloud of the LORD was upon the tabernacle by day, and fire was on it by night, in the sight of all the house of Israel, throughout all their journeys.(KJV-1611) Exo 40:38 Lajounen, nwaj Seyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nwaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:1 ============ Lev 1:1 And the LORD called unto Moses, and spake unto him out of the tabernacle of the congregation, saying,(KJV-1611) Lev 1:1 Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 1:2 ============ Lev 1:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, If any man of you bring an offering unto the LORD, ye shall bring your offering of the cattle, even of the herd, and of the flock.(KJV-1611) Lev 1:2 -W'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun vle fè Seyè a yon ofrann, si se yon bèt li vle ofri, l'a ofri yon bèf osinon yon kabrit ou ankò yon mouton l'a pran nan bèt li yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:3 ============ Lev 1:3 If his offering be a burnt sacrifice of the herd, let him offer a male without blemish: he shall offer it of his own voluntary will at the door of the tabernacle of the congregation before the LORD.(KJV-1611) Lev 1:3 Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:4 ============ Lev 1:4 And he shall put his hand upon the head of the burnt offering; and it shall be accepted for him to make atonement for him.(KJV-1611) Lev 1:4 L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a pou Bondye ka asepte l' tankou yon ofrann l'ap fè pou mande Bondye fè li gras.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:5 ============ Lev 1:5 And he shall kill the bullock before the LORD: and the priests, Aaron's sons, shall bring the blood, and sprinkle the blood round about upon the altar that is by the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 1:5 L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:6 ============ Lev 1:6 And he shall flay the burnt offering, and cut it into his pieces.(KJV-1611) Lev 1:6 Apre sa, y'a kòche towo a, y'a koupe l' an moso.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:7 ============ Lev 1:7 And the sons of Aaron the priest shall put fire upon the altar, and lay the wood in order upon the fire:(KJV-1611) Lev 1:7 Prèt yo, pitit Arawon, prèt la, va limen dife sou lotèl la, y'a mete bwa nan dife a.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:8 ============ Lev 1:8 And the priests, Aaron's sons, shall lay the parts, the head, and the fat, in order upon the wood that is on the fire which is upon the altar:(KJV-1611) Lev 1:8 Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va mete moso vyann yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:9 ============ Lev 1:9 But his inwards and his legs shall he wash in water: and the priest shall burn all on the altar, to be a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 1:9 Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:10 ============ Lev 1:10 And if his offering be of the flocks, namely, of the sheep, or of the goats, for a burnt sacrifice; he shall bring it a male without blemish.(KJV-1611) Lev 1:10 Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:11 ============ Lev 1:11 And he shall kill it on the side of the altar northward before the LORD: and the priests, Aaron's sons, shall sprinkle his blood round about upon the altar.(KJV-1611) Lev 1:11 L'a touye l' sou bò nò lotèl la, devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:12 ============ Lev 1:12 And he shall cut it into his pieces, with his head and his fat: and the priest shall lay them in order on the wood that is on the fire which is upon the altar:(KJV-1611) Lev 1:12 Lèfini, nonm lan va koupe l' an moso. Prèt yo va mete tout moso yo ansanm ak tèt la ak moso grès yo sou dife ki sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:13 ============ Lev 1:13 But he shall wash the inwards and the legs with water: and the priest shall bring it all, and burn it upon the altar: it is a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 1:13 Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:14 ============ Lev 1:14 And if the burnt sacrifice for his offering to the LORD be of fowls, then he shall bring his offering of turtledoves, or of young pigeons.(KJV-1611) Lev 1:14 Si se zwazo nonm lan ap ofri pou yo boule pou Seyè a, se va toutrèl osinon pijon.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:15 ============ Lev 1:15 And the priest shall bring it unto the altar, and wring off his head, and burn it on the altar; and the blood thereof shall be wrung out at the side of the altar:(KJV-1611) Lev 1:15 Prèt la va pran zwazo a, l'a pote l' bò lotèl la, l'a peze bèk li, l'a tòde kou l' pou l' touye l'. Y'a boule tèt la sou lotèl la, y'a fè san li koule sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:16 ============ Lev 1:16 And he shall pluck away his crop with his feathers, and cast it beside the altar on the east part, by the place of the ashes:(KJV-1611) Lev 1:16 L'a rache fal zwazo a ak tout plim li sou li. L'a jete l' bò lotèl la, sou bò solèy leve, kote yo mete sann dife a.(Creole-HT) ======= Leviticus 1:17 ============ Lev 1:17 And he shall cleave it with the wings thereof, but shall not divide it asunder: and the priest shall burn it upon the altar, upon the wood that is upon the fire: it is a burnt sacrifice, an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 1:17 Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:1 ============ Lev 2:1 And when any will offer a meat offering unto the LORD, his offering shall be of fine flour; and he shall pour oil upon it, and put frankincense thereon:(KJV-1611) Lev 2:1 Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:2 ============ Lev 2:2 And he shall bring it to Aaron's sons the priests: and he shall take thereout his handful of the flour thereof, and of the oil thereof, with all the frankincense thereof; and the priest shall burn the memorial of it upon the altar, to be an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD:(KJV-1611) Lev 2:2 Lèfini, l'a pote l' bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' nèt sou lotèl la, pou Seyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:3 ============ Lev 2:3 And the remnant of the meat offering shall be Aaron's and his sons': it is a thing most holy of the offerings of the LORD made by fire.(KJV-1611) Lev 2:3 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:4 ============ Lev 2:4 And if thou bring an oblation of a meat offering baken in the oven, it shall be unleavened cakes of fine flour mingled with oil, or unleavened wafers anointed with oil.(KJV-1611) Lev 2:4 Lè w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l' ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l'. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:5 ============ Lev 2:5 And if thy oblation be a meat offering baken in a pan, it shall be of fine flour unleavened, mingled with oil.(KJV-1611) Lev 2:5 Lè w'ap ofri yon pen kwit sou platin, w'a fè l' ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:6 ============ Lev 2:6 Thou shalt part it in pieces, and pour oil thereon: it is a meat offering.(KJV-1611) Lev 2:6 W'a koupe l' an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:7 ============ Lev 2:7 And if thy oblation be a meat offering baken in the fryingpan, it shall be made of fine flour with oil.(KJV-1611) Lev 2:7 Lè w'ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w'a fè l' ak farin melanje ak lwil oliv.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:8 ============ Lev 2:8 And thou shalt bring the meat offering that is made of these things unto the LORD: and when it is presented unto the priest, he shall bring it unto the altar.(KJV-1611) Lev 2:8 W'a fè yon ofrann avè l' bay Seyè a. W'a pote l' bay prèt la ki va mete l' sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:9 ============ Lev 2:9 And the priest shall take from the meat offering a memorial thereof, and shall burn it upon the altar: it is an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 2:9 Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule l' sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:10 ============ Lev 2:10 And that which is left of the meat offering shall be Aaron's and his sons': it is a thing most holy of the offerings of the LORD made by fire.(KJV-1611) Lev 2:10 Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:11 ============ Lev 2:11 No meat offering, which ye shall bring unto the LORD, shall be made with leaven: for ye shall burn no leaven, nor any honey, in any offering of the LORD made by fire.(KJV-1611) Lev 2:11 Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:12 ============ Lev 2:12 As for the oblation of the firstfruits, ye shall offer them unto the LORD: but they shall not be burnt on the altar for a sweet savour.(KJV-1611) Lev 2:12 W'a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:13 ============ Lev 2:13 And every oblation of thy meat offering shalt thou season with salt; neither shalt thou suffer the salt of the covenant of thy God to be lacking from thy meat offering: with all thine offerings thou shalt offer salt.(KJV-1611) Lev 2:13 W'a simen sèl sou tout ofrann w'ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n'ap ofri.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:14 ============ Lev 2:14 And if thou offer a meat offering of thy firstfruits unto the LORD, thou shalt offer for the meat offering of thy firstfruits green ears of corn dried by the fire, even corn beaten out of full ears.(KJV-1611) Lev 2:14 Lè w'ap ofri bay Seyè a premye grenn ki bon yo, w'a ofri grenn griye nan dife ak farin ble.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:15 ============ Lev 2:15 And thou shalt put oil upon it, and lay frankincense thereon: it is a meat offering.(KJV-1611) Lev 2:15 W'a mete lwil oliv sou li ansanm ak lansan. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 2:16 ============ Lev 2:16 And the priest shall burn the memorial of it, part of the beaten corn thereof, and part of the oil thereof, with all the frankincense thereof: it is an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 2:16 Prèt la va pran ti gout nan ofrann manje a ak nan lwil la, l'a boule l' ansanm ak tout lansan an. Se sa yo rele yon ofrann manje yo boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:1 ============ Lev 3:1 And if his oblation be a sacrifice of peace offering, if he offer it of the herd; whether it be a male or female, he shall offer it without blemish before the LORD.(KJV-1611) Lev 3:1 Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:2 ============ Lev 3:2 And he shall lay his hand upon the head of his offering, and kill it at the door of the tabernacle of the congregation: and Aaron's sons the priests shall sprinkle the blood upon the altar round about.(KJV-1611) Lev 3:2 L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:3 ============ Lev 3:3 And he shall offer of the sacrifice of the peace offering an offering made by fire unto the LORD; the fat that covereth the inwards, and all the fat that is upon the inwards,(KJV-1611) Lev 3:3 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 3:4 ============ Lev 3:4 And the two kidneys, and the fat that is on them, which is by the flanks, and the caul above the liver, with the kidneys, it shall he take away.(KJV-1611) Lev 3:4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:5 ============ Lev 3:5 And Aaron's sons shall burn it on the altar upon the burnt sacrifice, which is upon the wood that is on the fire: it is an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 3:5 Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:6 ============ Lev 3:6 And if his offering for a sacrifice of peace offering unto the LORD be of the flock; male or female, he shall offer it without blemish.(KJV-1611) Lev 3:6 Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:7 ============ Lev 3:7 If he offer a lamb for his offering, then shall he offer it before the LORD.(KJV-1611) Lev 3:7 Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Seyè a, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a,(Creole-HT) ======= Leviticus 3:8 ============ Lev 3:8 And he shall lay his hand upon the head of his offering, and kill it before the tabernacle of the congregation: and Aaron's sons shall sprinkle the blood thereof round about upon the altar.(KJV-1611) Lev 3:8 l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:9 ============ Lev 3:9 And he shall offer of the sacrifice of the peace offering an offering made by fire unto the LORD; the fat thereof, and the whole rump, it shall he take off hard by the backbone; and the fat that covereth the inwards, and all the fat that is upon the inwards,(KJV-1611) Lev 3:9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 3:10 ============ Lev 3:10 And the two kidneys, and the fat that is upon them, which is by the flanks, and the caul above the liver, with the kidneys, it shall he take away.(KJV-1611) Lev 3:10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:11 ============ Lev 3:11 And the priest shall burn it upon the altar: it is the food of the offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 3:11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:12 ============ Lev 3:12 And if his offering be a goat, then he shall offer it before the LORD.(KJV-1611) Lev 3:12 Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:13 ============ Lev 3:13 And he shall lay his hand upon the head of it, and kill it before the tabernacle of the congregation: and the sons of Aaron shall sprinkle the blood thereof upon the altar round about.(KJV-1611) Lev 3:13 L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:14 ============ Lev 3:14 And he shall offer thereof his offering, even an offering made by fire unto the LORD; the fat that covereth the inwards, and all the fat that is upon the inwards,(KJV-1611) Lev 3:14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 3:15 ============ Lev 3:15 And the two kidneys, and the fat that is upon them, which is by the flanks, and the caul above the liver, with the kidneys, it shall he take away.(KJV-1611) Lev 3:15 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:16 ============ Lev 3:16 And the priest shall burn them upon the altar: it is the food of the offering made by fire for a sweet savour: all the fat is the LORD's.(KJV-1611) Lev 3:16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 3:17 ============ Lev 3:17 It shall be a perpetual statute for your generations throughout all your dwellings, that ye eat neither fat nor blood.(KJV-1611) Lev 3:17 Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:1 ============ Lev 4:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 4:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 4:2 ============ Lev 4:2 Speak unto the children of Israel, saying, If a soul shall sin through ignorance against any of the commandments of the LORD concerning things which ought not to be done, and shall do against any of them:(KJV-1611) Lev 4:2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun fè yon peche san li pa konnen, si li pa swiv lòd Seyè a bay epi li fè sa l' pa t' dwe fè, men sa pou yo fè l':(Creole-HT) ======= Leviticus 4:3 ============ Lev 4:3 If the priest that is anointed do sin according to the sin of the people; then let him bring for his sin, which he hath sinned, a young bullock without blemish unto the LORD for a sin offering.(KJV-1611) Lev 4:3 Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:4 ============ Lev 4:4 And he shall bring the bullock unto the door of the tabernacle of the congregation before the LORD; and shall lay his hand upon the bullock's head, and kill the bullock before the LORD.(KJV-1611) Lev 4:4 L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l' sou tèt towo a, epi l'a touye l' la devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:5 ============ Lev 4:5 And the priest that is anointed shall take of the bullock's blood, and bring it to the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Lev 4:5 Apre sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anba Tant Randevou a,(Creole-HT) ======= Leviticus 4:6 ============ Lev 4:6 And the priest shall dip his finger in the blood, and sprinkle of the blood seven times before the LORD, before the vail of the sanctuary.(KJV-1611) Lev 4:6 l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:7 ============ Lev 4:7 And the priest shall put some of the blood upon the horns of the altar of sweet incense before the LORD, which is in the tabernacle of the congregation; and shall pour all the blood of the bullock at the bottom of the altar of the burnt offering, which is at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 4:7 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:8 ============ Lev 4:8 And he shall take off from it all the fat of the bullock for the sin offering; the fat that covereth the inwards, and all the fat that is upon the inwards,(KJV-1611) Lev 4:8 Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 4:9 ============ Lev 4:9 And the two kidneys, and the fat that is upon them, which is by the flanks, and the caul above the liver, with the kidneys, it shall he take away,(KJV-1611) Lev 4:9 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:10 ============ Lev 4:10 As it was taken off from the bullock of the sacrifice of peace offerings: and the priest shall burn them upon the altar of the burnt offering.(KJV-1611) Lev 4:10 L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:11 ============ Lev 4:11 And the skin of the bullock, and all his flesh, with his head, and with his legs, and his inwards, and his dung,(KJV-1611) Lev 4:11 Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:12 ============ Lev 4:12 Even the whole bullock shall he carry forth without the camp unto a clean place, where the ashes are poured out, and burn him on the wood with fire: where the ashes are poured out shall he be burnt.(KJV-1611) Lev 4:12 Wi, l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote l' andeyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:13 ============ Lev 4:13 And if the whole congregation of Israel sin through ignorance, and the thing be hid from the eyes of the assembly, and they have done somewhat against any of the commandments of the LORD concerning things which should not be done, and are guilty;(KJV-1611) Lev 4:13 Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,(Creole-HT) ======= Leviticus 4:14 ============ Lev 4:14 When the sin, which they have sinned against it, is known, then the congregation shall offer a young bullock for the sin, and bring him before the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 4:14 lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l' bay Bondye pou l' ka wete peche yo a. Y'a mennen l' devan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:15 ============ Lev 4:15 And the elders of the congregation shall lay their hands upon the head of the bullock before the LORD: and the bullock shall be killed before the LORD.(KJV-1611) Lev 4:15 Lè y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l' la devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:16 ============ Lev 4:16 And the priest that is anointed shall bring of the bullock's blood to the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Lev 4:16 Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l' anndan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:17 ============ Lev 4:17 And the priest shall dip his finger in some of the blood, and sprinkle it seven times before the LORD, even before the vail.(KJV-1611) Lev 4:17 L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:18 ============ Lev 4:18 And he shall put some of the blood upon the horns of the altar which is before the LORD, that is in the tabernacle of the congregation, and shall pour out all the blood at the bottom of the altar of the burnt offering, which is at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 4:18 Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl ki devan Seyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:19 ============ Lev 4:19 And he shall take all his fat from him, and burn it upon the altar.(KJV-1611) Lev 4:19 Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l' sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:20 ============ Lev 4:20 And he shall do with the bullock as he did with the bullock for a sin offering, so shall he do with this: and the priest shall make an atonement for them, and it shall be forgiven them.(KJV-1611) Lev 4:20 Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:21 ============ Lev 4:21 And he shall carry forth the bullock without the camp, and burn him as he burned the first bullock: it is a sin offering for the congregation.(KJV-1611) Lev 4:21 Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:22 ============ Lev 4:22 When a ruler hath sinned, and done somewhat through ignorance against any of the commandments of the LORD his God concerning things which should not be done, and is guilty;(KJV-1611) Lev 4:22 Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 4:23 ============ Lev 4:23 Or if his sin, wherein he hath sinned, come to his knowledge; he shall bring his offering, a kid of the goats, a male without blemish:(KJV-1611) Lev 4:23 rive li rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:24 ============ Lev 4:24 And he shall lay his hand upon the head of the goat, and kill it in the place where they kill the burnt offering before the LORD: it is a sin offering.(KJV-1611) Lev 4:24 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:25 ============ Lev 4:25 And the priest shall take of the blood of the sin offering with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out his blood at the bottom of the altar of burnt offering.(KJV-1611) Lev 4:25 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:26 ============ Lev 4:26 And he shall burn all his fat upon the altar, as the fat of the sacrifice of peace offerings: and the priest shall make an atonement for him as concerning his sin, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 4:26 Apre sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l' pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:27 ============ Lev 4:27 And if any one of the common people sin through ignorance, while he doeth somewhat against any of the commandments of the LORD concerning things which ought not to be done, and be guilty;(KJV-1611) Lev 4:27 Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki vle di li antò paske li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè men li fè l' san l' pa konnen,(Creole-HT) ======= Leviticus 4:28 ============ Lev 4:28 Or if his sin, which he hath sinned, come to his knowledge: then he shall bring his offering, a kid of the goats, a female without blemish, for his sin which he hath sinned.(KJV-1611) Lev 4:28 rive moun sa a rive konnen sa l' fè a pa bon, se pou l' mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen ankenn enfimite, l'a ofri l' pou yo touye l' bay Seyè a pou peche li a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:29 ============ Lev 4:29 And he shall lay his hand upon the head of the sin offering, and slay the sin offering in the place of the burnt offering.(KJV-1611) Lev 4:29 L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:30 ============ Lev 4:30 And the priest shall take of the blood thereof with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out all the blood thereof at the bottom of the altar.(KJV-1611) Lev 4:30 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:31 ============ Lev 4:31 And he shall take away all the fat thereof, as the fat is taken away from off the sacrifice of peace offerings; and the priest shall burn it upon the altar for a sweet savour unto the LORD; and the priest shall make an atonement for him, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 4:31 Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l' sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:32 ============ Lev 4:32 And if he bring a lamb for a sin offering, he shall bring it a female without blemish.(KJV-1611) Lev 4:32 Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen ankenn enfimite pou l' mennen.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:33 ============ Lev 4:33 And he shall lay his hand upon the head of the sin offering, and slay it for a sin offering in the place where they kill the burnt offering.(KJV-1611) Lev 4:33 L'a mete men l' sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:34 ============ Lev 4:34 And the priest shall take of the blood of the sin offering with his finger, and put it upon the horns of the altar of burnt offering, and shall pour out all the blood thereof at the bottom of the altar:(KJV-1611) Lev 4:34 Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 4:35 ============ Lev 4:35 And he shall take away all the fat thereof, as the fat of the lamb is taken away from the sacrifice of the peace offerings; and the priest shall burn them upon the altar, according to the offerings made by fire unto the LORD: and the priest shall make an atonement for his sin that he hath committed, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 4:35 Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:1 ============ Lev 5:1 And if a soul sin, and hear the voice of swearing, and is a witness, whether he hath seen or known of it; if he do not utter it, then he shall bear his iniquity.(KJV-1611) Lev 5:1 Men nan ki sikonstans pou yo fè ofrann bèt pou peche moun fè san yo pa konnen: Si yon moun fin fè sèman nan tribinal pou l' di sa ki pase epi li refize pale sa l' te wè ou ankò sa li vin konnen, li gen pou l' peye pou sa li fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:2 ============ Lev 5:2 Or if a soul touch any unclean thing, whether it be a carcase of an unclean beast, or a carcase of unclean cattle, or the carcase of unclean creeping things, and if it be hidden from him; he also shall be unclean, and guilty.(KJV-1611) Lev 5:2 Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gen dwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l' rive konnen sa l' fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:3 ============ Lev 5:3 Or if he touch the uncleanness of man, whatsoever uncleanness it be that a man shall be defiled withal, and it be hid from him; when he knoweth of it, then he shall be guilty.(KJV-1611) Lev 5:3 Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nenpòt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lè pita li vin konnen sa l' fè a, li antò pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:4 ============ Lev 5:4 Or if a soul swear, pronouncing with his lips to do evil, or to do good, whatsoever it be that a man shall pronounce with an oath, and it be hid from him; when he knoweth of it, then he shall be guilty in one of these.(KJV-1611) Lev 5:4 Si yon moun kite bouch li mennen l', epi li sèmante, li di l'ap fè yon bagay, se ka yon move bagay osinon yon bon bagay, lè l' vin rekonèt sa, se pou l' peye sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:5 ============ Lev 5:5 And it shall be, when he shall be guilty in one of these things, that he shall confess that he hath sinned in that thing:(KJV-1611) Lev 5:5 Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:6 ============ Lev 5:6 And he shall bring his trespass offering unto the LORD for his sin which he hath sinned, a female from the flock, a lamb or a kid of the goats, for a sin offering; and the priest shall make an atonement for him concerning his sin.(KJV-1611) Lev 5:6 Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:7 ============ Lev 5:7 And if he be not able to bring a lamb, then he shall bring for his trespass, which he hath committed, two turtledoves, or two young pigeons, unto the LORD; one for a sin offering, and the other for a burnt offering.(KJV-1611) Lev 5:7 Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:8 ============ Lev 5:8 And he shall bring them unto the priest, who shall offer that which is for the sin offering first, and wring off his head from his neck, but shall not divide it asunder:(KJV-1611) Lev 5:8 L'a pote yo bay prèt la. Prèt la menm va ofri zwazo pou peche a anvan. L'a kase kou zwazo a, san li pa separe tèt la ak rès kò a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:9 ============ Lev 5:9 And he shall sprinkle of the blood of the sin offering upon the side of the altar; and the rest of the blood shall be wrung out at the bottom of the altar: it is a sin offering.(KJV-1611) Lev 5:9 L'a voye ti gout nan san an bò lotèl la. Epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. Se va yon ofrann bèt yo touye pou wete peche a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:10 ============ Lev 5:10 And he shall offer the second for a burnt offering, according to the manner: and the priest shall make an atonement for him for his sin which he hath sinned, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 5:10 Apre sa, l'a ofri dezyèm zwazo a, l'a boule l' dapre regleman yo. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:11 ============ Lev 5:11 But if he be not able to bring two turtledoves, or two young pigeons, then he that sinned shall bring for his offering the tenth part of an ephah of fine flour for a sin offering; he shall put no oil upon it, neither shall he put any frankincense thereon: for it is a sin offering.(KJV-1611) Lev 5:11 Si moun lan pa ka bay de toutrèl osinon de pijon pou peye pou peche li fè a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:12 ============ Lev 5:12 Then shall he bring it to the priest, and the priest shall take his handful of it, even a memorial thereof, and burn it on the altar, according to the offerings made by fire unto the LORD: it is a sin offering.(KJV-1611) Lev 5:12 L'a pote l' bay prèt la, prèt la va pran yon ponyen nan farin lan ki va sèvi pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan. L'a ofri l' bay Seyè a, l'a boule l' sou lotèl la tankou yon ofrann yo boule bèt pou Seyè a. Se va yon ofrann yo fè pou wete peche a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:13 ============ Lev 5:13 And the priest shall make an atonement for him as touching his sin that he hath sinned in one of these, and it shall be forgiven him: and the remnant shall be the priest's, as a meat offering.(KJV-1611) Lev 5:13 Se konsa, prèt la va fè ofrann pou wete peche moun lan te fè a, Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. Rès farin lan va rete pou prèt la, tankou lè y'ap fè ofrann manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:14 ============ Lev 5:14 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 5:14 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 5:15 ============ Lev 5:15 If a soul commit a trespass, and sin through ignorance, in the holy things of the LORD; then he shall bring for his trespass unto the LORD a ram without blemish out of the flocks, with thy estimation by shekels of silver, after the shekel of the sanctuary, for a trespass offering.(KJV-1611) Lev 5:15 -Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:16 ============ Lev 5:16 And he shall make amends for the harm that he hath done in the holy thing, and shall add the fifth part thereto, and give it unto the priest: and the priest shall make an atonement for him with the ram of the trespass offering, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 5:16 Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:17 ============ Lev 5:17 And if a soul sin, and commit any of these things which are forbidden to be done by the commandments of the LORD; though he wist it not, yet is he guilty, and shall bear his iniquity.(KJV-1611) Lev 5:17 Si yon moun fè peche san l' pa konnen, si li fè yon bagay Seyè a te bay lòd pa fè, atout li pa t' fè espre, li antò. Se pou l' peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:18 ============ Lev 5:18 And he shall bring a ram without blemish out of the flock, with thy estimation, for a trespass offering, unto the priest: and the priest shall make an atonement for him concerning his ignorance wherein he erred and wist it not, and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 5:18 L'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki pa gen ankenn enfimite, l'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. Y'a kalkile pri bèt la dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a. Prèt la va fè ofrann lan pou peye pou sa moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 5:19 ============ Lev 5:19 It is a trespass offering: he hath certainly trespassed against the LORD.(KJV-1611) Lev 5:19 Se sa yo rele yon ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal kont Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:1 ============ Lev 6:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 6:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 6:2 ============ Lev 6:2 If a soul sin, and commit a trespass against the LORD, and lie unto his neighbour in that which was delivered him to keep, or in fellowship, or in a thing taken away by violence, or hath deceived his neighbour;(KJV-1611) Lev 6:2 -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l',(Creole-HT) ======= Leviticus 6:3 ============ Lev 6:3 Or have found that which was lost, and lieth concerning it, and sweareth falsely; in any of all these that a man doeth, sinning therein:(KJV-1611) Lev 6:3 ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:4 ============ Lev 6:4 Then it shall be, because he hath sinned, and is guilty, that he shall restore that which he took violently away, or the thing which he hath deceitfully gotten, or that which was delivered him to keep, or the lost thing which he found,(KJV-1611) Lev 6:4 Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan,(Creole-HT) ======= Leviticus 6:5 ============ Lev 6:5 Or all that about which he hath sworn falsely; he shall even restore it in the principal, and shall add the fifth part more thereto, and give it unto him to whom it appertaineth, in the day of his trespass offering.(KJV-1611) Lev 6:5 ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:6 ============ Lev 6:6 And he shall bring his trespass offering unto the LORD, a ram without blemish out of the flock, with thy estimation, for a trespass offering, unto the priest:(KJV-1611) Lev 6:6 Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite, l'a mennen l' bay prèt la ki va ofri l' bay Seyè a pou li peye pou sa l' te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:7 ============ Lev 6:7 And the priest shall make an atonement for him before the LORD: and it shall be forgiven him for any thing of all that he hath done in trespassing therein.(KJV-1611) Lev 6:7 Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:8 ============ Lev 6:8 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 6:8 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT) ======= Leviticus 6:9 ============ Lev 6:9 Command Aaron and his sons, saying, This is the law of the burnt offering: It is the burnt offering, because of the burning upon the altar all night unto the morning, and the fire of the altar shall be burning in it.(KJV-1611) Lev 6:9 -Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:10 ============ Lev 6:10 And the priest shall put on his linen garment, and his linen breeches shall he put upon his flesh, and take up the ashes which the fire hath consumed with the burnt offering on the altar, and he shall put them beside the altar.(KJV-1611) Lev 6:10 Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l' sou kote lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:11 ============ Lev 6:11 And he shall put off his garments, and put on other garments, and carry forth the ashes without the camp unto a clean place.(KJV-1611) Lev 6:11 Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:12 ============ Lev 6:12 And the fire upon the altar shall be burning in it; it shall not be put out: and the priest shall burn wood on it every morning, and lay the burnt offering in order upon it; and he shall burn thereon the fat of the peace offerings.(KJV-1611) Lev 6:12 Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l' mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l', epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:13 ============ Lev 6:13 The fire shall ever be burning upon the altar; it shall never go out.(KJV-1611) Lev 6:13 Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l' mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:14 ============ Lev 6:14 And this is the law of the meat offering: the sons of Aaron shall offer it before the LORD, before the altar.(KJV-1611) Lev 6:14 Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:15 ============ Lev 6:15 And he shall take of it his handful, of the flour of the meat offering, and of the oil thereof, and all the frankincense which is upon the meat offering, and shall burn it upon the altar for a sweet savour, even the memorial of it, unto the LORD.(KJV-1611) Lev 6:15 Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l' sou lotèl la pou Seyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:16 ============ Lev 6:16 And the remainder thereof shall Aaron and his sons eat: with unleavened bread shall it be eaten in the holy place; in the court of the tabernacle of the congregation they shall eat it.(KJV-1611) Lev 6:16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:17 ============ Lev 6:17 It shall not be baken with leaven. I have given it unto them for their portion of my offerings made by fire; it is most holy, as is the sin offering, and as the trespass offering.(KJV-1611) Lev 6:17 Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:18 ============ Lev 6:18 All the males among the children of Aaron shall eat of it. It shall be a statute for ever in your generations concerning the offerings of the LORD made by fire: every one that toucheth them shall be holy.(KJV-1611) Lev 6:18 Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:19 ============ Lev 6:19 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 6:19 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT) ======= Leviticus 6:20 ============ Lev 6:20 This is the offering of Aaron and of his sons, which they shall offer unto the LORD in the day when he is anointed; the tenth part of an ephah of fine flour for a meat offering perpetual, half of it in the morning, and half thereof at night.(KJV-1611) Lev 6:20 -Men ofrann Arawon ak pitit gason l' yo va fè pou Seyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l' nan maten, lòt mwatye a nan aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:21 ============ Lev 6:21 In a pan it shall be made with oil; and when it is baken, thou shalt bring it in: and the baken pieces of the meat offering shalt thou offer for a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 6:21 Y'a melanje lwil ladan l', y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l' an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, y'a ofri l' bay Seyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:22 ============ Lev 6:22 And the priest of his sons that is anointed in his stead shall offer it: it is a statute for ever unto the LORD; it shall be wholly burnt.(KJV-1611) Lev 6:22 Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Seyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:23 ============ Lev 6:23 For every meat offering for the priest shall be wholly burnt: it shall not be eaten.(KJV-1611) Lev 6:23 Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:24 ============ Lev 6:24 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 6:24 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Leviticus 6:25 ============ Lev 6:25 Speak unto Aaron and to his sons, saying, This is the law of the sin offering: In the place where the burnt offering is killed shall the sin offering be killed before the LORD: it is most holy.(KJV-1611) Lev 6:25 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:26 ============ Lev 6:26 The priest that offereth it for sin shall eat it: in the holy place shall it be eaten, in the court of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 6:26 Prèt ki va touye bèt la va manje l' kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:27 ============ Lev 6:27 Whatsoever shall touch the flesh thereof shall be holy: and when there is sprinkled of the blood thereof upon any garment, thou shalt wash that whereon it was sprinkled in the holy place.(KJV-1611) Lev 6:27 Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki va manyen osinon ki va touche vyann bèt yo mete apa pou Seyè a va tounen yon moun osinon yon bagay yo mete apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:28 ============ Lev 6:28 But the earthen vessel wherein it is sodden shall be broken: and if it be sodden in a brasen pot, it shall be both scoured, and rinsed in water.(KJV-1611) Lev 6:28 Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l', se pou yo grate l' byen grate epi lave l' nan gwo dlo.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:29 ============ Lev 6:29 All the males among the priests shall eat thereof: it is most holy.(KJV-1611) Lev 6:29 Tout gason nan fanmi prèt yo gen dwa manje nan vyann lan, paske se yon vyann yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 6:30 ============ Lev 6:30 And no sin offering, whereof any of the blood is brought into the tabernacle of the congregation to reconcile withal in the holy place, shall be eaten: it shall be burnt in the fire.(KJV-1611) Lev 6:30 Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:1 ============ Lev 7:1 Likewise this is the law of the trespass offering: it is most holy.(KJV-1611) Lev 7:1 Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y'a mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:2 ============ Lev 7:2 In the place where they kill the burnt offering shall they kill the trespass offering: and the blood thereof shall he sprinkle round about upon the altar.(KJV-1611) Lev 7:2 Y'a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y'a voye san an sou kat bò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:3 ============ Lev 7:3 And he shall offer of it all the fat thereof; the rump, and the fat that covereth the inwards,(KJV-1611) Lev 7:3 Y'a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo,(Creole-HT) ======= Leviticus 7:4 ============ Lev 7:4 And the two kidneys, and the fat that is on them, which is by the flanks, and the caul that is above the liver, with the kidneys, it shall he take away:(KJV-1611) Lev 7:4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l'a ofri yo sou lotèl la pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:5 ============ Lev 7:5 And the priest shall burn them upon the altar for an offering made by fire unto the LORD: it is a trespass offering.(KJV-1611) Lev 7:5 Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la, tankou ofrann yo boule pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:6 ============ Lev 7:6 Every male among the priests shall eat thereof: it shall be eaten in the holy place: it is most holy.(KJV-1611) Lev 7:6 Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:7 ============ Lev 7:7 As the sin offering is, so is the trespass offering: there is one law for them: the priest that maketh atonement therewith shall have it.(KJV-1611) Lev 7:7 Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:8 ============ Lev 7:8 And the priest that offereth any man's burnt offering, even the priest shall have to himself the skin of the burnt offering which he hath offered.(KJV-1611) Lev 7:8 Po bèt y'a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:9 ============ Lev 7:9 And all the meat offering that is baken in the oven, and all that is dressed in the fryingpan, and in the pan, shall be the priest's that offereth it.(KJV-1611) Lev 7:9 Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y'a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:10 ============ Lev 7:10 And every meat offering, mingled with oil, and dry, shall all the sons of Aaron have, one as much as another.(KJV-1611) Lev 7:10 Men, lè se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki fèt tou kri, kit li melanje avèk lwil, kit li chèch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l' bay yo tout.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:11 ============ Lev 7:11 And this is the law of the sacrifice of peace offerings, which he shall offer unto the LORD.(KJV-1611) Lev 7:11 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:(Creole-HT) ======= Leviticus 7:12 ============ Lev 7:12 If he offer it for a thanksgiving, then he shall offer with the sacrifice of thanksgiving unleavened cakes mingled with oil, and unleavened wafers anointed with oil, and cakes mingled with oil, of fine flour, fried.(KJV-1611) Lev 7:12 Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l'a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l' l'a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:13 ============ Lev 7:13 Besides the cakes, he shall offer for his offering leavened bread with the sacrifice of thanksgiving of his peace offerings.(KJV-1611) Lev 7:13 Konsa tou, l'a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:14 ============ Lev 7:14 And of it he shall offer one out of the whole oblation for an heave offering unto the LORD, and it shall be the priest's that sprinkleth the blood of the peace offerings.(KJV-1611) Lev 7:14 L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:15 ============ Lev 7:15 And the flesh of the sacrifice of his peace offerings for thanksgiving shall be eaten the same day that it is offered; he shall not leave any of it until the morning.(KJV-1611) Lev 7:15 Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:16 ============ Lev 7:16 But if the sacrifice of his offering be a vow, or a voluntary offering, it shall be eaten the same day that he offereth his sacrifice: and on the morrow also the remainder of it shall be eaten:(KJV-1611) Lev 7:16 Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:17 ============ Lev 7:17 But the remainder of the flesh of the sacrifice on the third day shall be burnt with fire.(KJV-1611) Lev 7:17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:18 ============ Lev 7:18 And if any of the flesh of the sacrifice of his peace offerings be eaten at all on the third day, it shall not be accepted, neither shall it be imputed unto him that offereth it: it shall be an abomination, and the soul that eateth of it shall bear his iniquity.(KJV-1611) Lev 7:18 Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p'ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p'ap sèvi l' anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l' va peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:19 ============ Lev 7:19 And the flesh that toucheth any unclean thing shall not be eaten; it shall be burnt with fire: and as for the flesh, all that be clean shall eat thereof.(KJV-1611) Lev 7:19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l' non plis. Se pou yo boule l' nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:20 ============ Lev 7:20 But the soul that eateth of the flesh of the sacrifice of peace offerings, that pertain unto the LORD, having his uncleanness upon him, even that soul shall be cut off from his people.(KJV-1611) Lev 7:20 Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:21 ============ Lev 7:21 Moreover the soul that shall touch any unclean thing, as the uncleanness of man, or any unclean beast, or any abominable unclean thing, and eat of the flesh of the sacrifice of peace offerings, which pertain unto the LORD, even that soul shall be cut off from his people.(KJV-1611) Lev 7:21 Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:22 ============ Lev 7:22 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 7:22 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT) ======= Leviticus 7:23 ============ Lev 7:23 Speak unto the children of Israel, saying, Ye shall eat no manner of fat, of ox, or of sheep, or of goat.(KJV-1611) Lev 7:23 -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:24 ============ Lev 7:24 And the fat of the beast that dieth of itself, and the fat of that which is torn with beasts, may be used in any other use: but ye shall in no wise eat of it.(KJV-1611) Lev 7:24 Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gen dwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:25 ============ Lev 7:25 For whosoever eateth the fat of the beast, of which men offer an offering made by fire unto the LORD, even the soul that eateth it shall be cut off from his people.(KJV-1611) Lev 7:25 Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:26 ============ Lev 7:26 Moreover ye shall eat no manner of blood, whether it be of fowl or of beast, in any of your dwellings.(KJV-1611) Lev 7:26 Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:27 ============ Lev 7:27 Whatsoever soul it be that eateth any manner of blood, even that soul shall be cut off from his people.(KJV-1611) Lev 7:27 Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:28 ============ Lev 7:28 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 7:28 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 7:29 ============ Lev 7:29 Speak unto the children of Israel, saying, He that offereth the sacrifice of his peace offerings unto the LORD shall bring his oblation unto the LORD of the sacrifice of his peace offerings.(KJV-1611) Lev 7:29 -Men sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou l' pran yon pòsyon ladan l' ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:30 ============ Lev 7:30 His own hands shall bring the offerings of the LORD made by fire, the fat with the breast, it shall he bring, that the breast may be waved for a wave offering before the LORD.(KJV-1611) Lev 7:30 L'a pote l' ak men l' pou yo boule l' pou Seyè a. L'a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:31 ============ Lev 7:31 And the priest shall burn the fat upon the altar: but the breast shall be Aaron's and his sons'.(KJV-1611) Lev 7:31 Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:32 ============ Lev 7:32 And the right shoulder shall ye give unto the priest for an heave offering of the sacrifices of your peace offerings.(KJV-1611) Lev 7:32 N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:33 ============ Lev 7:33 He among the sons of Aaron, that offereth the blood of the peace offerings, and the fat, shall have the right shoulder for his part.(KJV-1611) Lev 7:33 Konsa, prèt ki ofri san an ak grès bèt yo te touye pou di Bondye mèsi a va resevwa jigo dwat la pou tèt pa l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:34 ============ Lev 7:34 For the wave breast and the heave shoulder have I taken of the children of Israel from off the sacrifices of their peace offerings, and have given them unto Aaron the priest and unto his sons by a statute for ever from among the children of Israel.(KJV-1611) Lev 7:34 Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:35 ============ Lev 7:35 This is the portion of the anointing of Aaron, and of the anointing of his sons, out of the offerings of the LORD made by fire, in the day when he presented them to minister unto the LORD in the priest's office;(KJV-1611) Lev 7:35 Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:36 ============ Lev 7:36 Which the LORD commanded to be given them of the children of Israel, in the day that he anointed them, by a statute for ever throughout their generations.(KJV-1611) Lev 7:36 Jou sa a, se Seyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:37 ============ Lev 7:37 This is the law of the burnt offering, of the meat offering, and of the sin offering, and of the trespass offering, and of the consecrations, and of the sacrifice of the peace offerings;(KJV-1611) Lev 7:37 Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo fè ki mal, ofrann pou lè y'ap mete prèt yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Leviticus 7:38 ============ Lev 7:38 Which the LORD commanded Moses in mount Sinai, in the day that he commanded the children of Israel to offer their oblations unto the LORD, in the wilderness of Sinai.(KJV-1611) Lev 7:38 Se Seyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:1 ============ Lev 8:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 8:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 8:2 ============ Lev 8:2 Take Aaron and his sons with him, and the garments, and the anointing oil, and a bullock for the sin offering, and two rams, and a basket of unleavened bread;(KJV-1611) Lev 8:2 -Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:3 ============ Lev 8:3 And gather thou all the congregation together unto the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 8:3 Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:4 ============ Lev 8:4 And Moses did as the LORD commanded him; and the assembly was gathered together unto the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 8:4 Moyiz fè sa Seyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a(Creole-HT) ======= Leviticus 8:5 ============ Lev 8:5 And Moses said unto the congregation, This is the thing which the LORD commanded to be done.(KJV-1611) Lev 8:5 Moyiz di moun yo: -Men sa Seyè a te ban mwen lòd fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:6 ============ Lev 8:6 And Moses brought Aaron and his sons, and washed them with water.(KJV-1611) Lev 8:6 Lè sa a Moyiz fè Arawon ak pitit gason l' yo pwoche, li benyen yo nan dlo.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:7 ============ Lev 8:7 And he put upon him the coat, and girded him with the girdle, and clothed him with the robe, and put the ephod upon him, and he girded him with the curious girdle of the ephod, and bound it unto him therewith.(KJV-1611) Lev 8:7 Lèfini, li mete chemiz la ak gwo rad la sou Arawon, li mare sentiwon an nan ren li. Apre sa, li mete jile a sou li, li mare bèl sentiwon jile a nan ren l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:8 ============ Lev 8:8 And he put the breastplate upon him: also he put in the breastplate the Urim and the Thummim.(KJV-1611) Lev 8:8 Epi li mete plastwon an sou li, li mete ourim ak tourim yo nan pòch plastwon an.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:9 ============ Lev 8:9 And he put the mitre upon his head; also upon the mitre, even upon his forefront, did he put the golden plate, the holy crown; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 8:9 Li mare tèt Arawon ak gwo mouchwa tèt la, epi li pran plak lò ki te gen pawòl sa yo grave sou li: Apa pou Bondye, li mare l' sou devan mouchwa a dapre lòd Seyè a te ba li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:10 ============ Lev 8:10 And Moses took the anointing oil, and anointed the tabernacle and all that was therein, and sanctified them.(KJV-1611) Lev 8:10 Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:11 ============ Lev 8:11 And he sprinkled thereof upon the altar seven times, and anointed the altar and all his vessels, both the laver and his foot, to sanctify them.(KJV-1611) Lev 8:11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak tout pye li. Se konsa li mete yo apa pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:12 ============ Lev 8:12 And he poured of the anointing oil upon Aaron's head, and anointed him, to sanctify him.(KJV-1611) Lev 8:12 Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l' sou tèt Arawon. Se konsa li mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:13 ============ Lev 8:13 And Moses brought Aaron's sons, and put coats upon them, and girded them with girdles, and put bonnets upon them; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 8:13 Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete rad yo sou yo, li pase sentiwon nan ren yo, li mare mouchwa tèt sou tèt yo, dapre lòd Seyè a te ba li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:14 ============ Lev 8:14 And he brought the bullock for the sin offering: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the bullock for the sin offering.(KJV-1611) Lev 8:14 Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:15 ============ Lev 8:15 And he slew it; and Moses took the blood, and put it upon the horns of the altar round about with his finger, and purified the altar, and poured the blood at the bottom of the altar, and sanctified it, to make reconciliation upon it.(KJV-1611) Lev 8:15 Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l' apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:16 ============ Lev 8:16 And he took all the fat that was upon the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and their fat, and Moses burned it upon the altar.(KJV-1611) Lev 8:16 Apre sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:17 ============ Lev 8:17 But the bullock, and his hide, his flesh, and his dung, he burnt with fire without the camp; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 8:17 Men, li pran tout vyann ti towo a, po a ak tout tripay la, li boule yo an deyò limit kote yo rete a, dapre lòd Seyè a te ba li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:18 ============ Lev 8:18 And he brought the ram for the burnt offering: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the ram.(KJV-1611) Lev 8:18 Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:19 ============ Lev 8:19 And he killed it; and Moses sprinkled the blood upon the altar round about.(KJV-1611) Lev 8:19 Moyiz touye l', li pran san an, li vide l' tout arebò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:20 ============ Lev 8:20 And he cut the ram into pieces; and Moses burnt the head, and the pieces, and the fat.(KJV-1611) Lev 8:20 Li dekoupe belye a an divès moso. Apre sa, li boule tèt la, moso vyann yo ak tout moso grès yo nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:21 ============ Lev 8:21 And he washed the inwards and the legs in water; and Moses burnt the whole ram upon the altar: it was a burnt sacrifice for a sweet savour, and an offering made by fire unto the LORD; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 8:21 Moyiz lave tripay yo ak pye yo nan dlo. Apre sa li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li, dapre lòd Seyè a te ba li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:22 ============ Lev 8:22 And he brought the other ram, the ram of consecration: and Aaron and his sons laid their hands upon the head of the ram.(KJV-1611) Lev 8:22 Apre sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:23 ============ Lev 8:23 And he slew it; and Moses took of the blood of it, and put it upon the tip of Aaron's right ear, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot.(KJV-1611) Lev 8:23 Moyiz touye l', li pran ti gout nan san belye a, li mete l' sou tete zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:24 ============ Lev 8:24 And he brought Aaron's sons, and Moses put of the blood upon the tip of their right ear, and upon the thumbs of their right hands, and upon the great toes of their right feet: and Moses sprinkled the blood upon the altar round about.(KJV-1611) Lev 8:24 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li mete ti gout san sou tete zòrèy dwat yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Lèfini, Moyiz pran rès san an, li vide l' tout arebò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:25 ============ Lev 8:25 And he took the fat, and the rump, and all the fat that was upon the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and their fat, and the right shoulder:(KJV-1611) Lev 8:25 Apre sa, li pran tout moso grès yo, ke a, tout grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:26 ============ Lev 8:26 And out of the basket of unleavened bread, that was before the LORD, he took one unleavened cake, and a cake of oiled bread, and one wafer, and put them on the fat, and upon the right shoulder:(KJV-1611) Lev 8:26 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, li pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil, ak yon pen rale. Li mete yo sou moso grès yo ak sou jigo dwat la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:27 ============ Lev 8:27 And he put all upon Aaron's hands, and upon his sons' hands, and waved them for a wave offering before the LORD.(KJV-1611) Lev 8:27 Apre sa, li mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l' yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:28 ============ Lev 8:28 And Moses took them from off their hands, and burnt them on the altar upon the burnt offering: they were consecrations for a sweet savour: it is an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 8:28 Apre sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t'ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k'ap boule nèt nan dife pou Seyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:29 ============ Lev 8:29 And Moses took the breast, and waved it for a wave offering before the LORD: for of the ram of consecration it was Moses' part; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 8:29 Moyiz pran moso pwatrin lan, li balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Nan belye ki te sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa a, se pòsyon sa a ki te pou Moyiz, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:30 ============ Lev 8:30 And Moses took of the anointing oil, and of the blood which was upon the altar, and sprinkled it upon Aaron, and upon his garments, and upon his sons, and upon his sons' garments with him; and sanctified Aaron, and his garments, and his sons, and his sons' garments with him.(KJV-1611) Lev 8:30 Lè sa a, Moyiz pran ti gout nan lwil pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, li melanje l' ak san ki te sou lotèl la, li voye l' sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:31 ============ Lev 8:31 And Moses said unto Aaron and to his sons, Boil the flesh at the door of the tabernacle of the congregation: and there eat it with the bread that is in the basket of consecrations, as I commanded, saying, Aaron and his sons shall eat it.(KJV-1611) Lev 8:31 Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo, li di yo: -N'a fè kwit vyann belye a devan pòt Tant Randevou a. Se la n'a manje l' tou ansanm ak pen ki nan panyen ofrann yo fè lè nou t'ap resevwa pouvwa pou fè sèvis pou Bondye a, dapre lòd mwen te resevwa lè li te di m': Arawon ak pitit gason l' yo va manje vyann belye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:32 ============ Lev 8:32 And that which remaineth of the flesh and of the bread shall ye burn with fire.(KJV-1611) Lev 8:32 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, n'a boule l' nan dife.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:33 ============ Lev 8:33 And ye shall not go out of the door of the tabernacle of the congregation in seven days, until the days of your consecration be at an end: for seven days shall he consecrate you.(KJV-1611) Lev 8:33 Pandan sèt jou, nou p'ap soti devan pòt Tant Randevou a, jouk lè y'a fini ak seremoni pou mete nou apa pou sèvis Bondye a, paske y'ap pran sèt jou pou fè seremoni pou ban nou pouvwa pou fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:34 ============ Lev 8:34 As he hath done this day, so the LORD hath commanded to do, to make an atonement for you.(KJV-1611) Lev 8:34 Sa nou wè nou fè jòdi a, se Seyè a menm ki te bay lòd pou nou te fè l' pou peye pou tou sa nou te fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:35 ============ Lev 8:35 Therefore shall ye abide at the door of the tabernacle of the congregation day and night seven days, and keep the charge of the LORD, that ye die not: for so I am commanded.(KJV-1611) Lev 8:35 Pandan sèt jou, lajounen kou lannwit, n'a rete la devan pòt Tant Randevou a, epi n'a fè tou sa Seyè a te ban nou lòd fè a. Si se pa sa, n'a mouri. Wi, men lòd Seyè a te ban mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 8:36 ============ Lev 8:36 So Aaron and his sons did all things which the LORD commanded by the hand of Moses.(KJV-1611) Lev 8:36 Se konsa, Arawon ak pitit gason l' yo te fè tou sa Moyiz te di yo Seyè a te ba yo lòd fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:1 ============ Lev 9:1 And it came to pass on the eighth day, that Moses called Aaron and his sons, and the elders of Israel;(KJV-1611) Lev 9:1 Sou wityèm jou a apre yo fini avèk sèvis pou mete yo apa pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:2 ============ Lev 9:2 And he said unto Aaron, Take thee a young calf for a sin offering, and a ram for a burnt offering, without blemish, and offer them before the LORD.(KJV-1611) Lev 9:2 Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:3 ============ Lev 9:3 And unto the children of Israel thou shalt speak, saying, Take ye a kid of the goats for a sin offering; and a calf and a lamb, both of the first year, without blemish, for a burnt offering;(KJV-1611) Lev 9:3 Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:4 ============ Lev 9:4 Also a bullock and a ram for peace offerings, to sacrifice before the LORD; and a meat offering mingled with oil: for to day the LORD will appear unto you.(KJV-1611) Lev 9:4 Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Seyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Seyè a pral parèt devan yo jòdi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:5 ============ Lev 9:5 And they brought that which Moses commanded before the tabernacle of the congregation: and all the congregation drew near and stood before the LORD.(KJV-1611) Lev 9:5 Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:6 ============ Lev 9:6 And Moses said, This is the thing which the LORD commanded that ye should do: and the glory of the LORD shall appear unto you.(KJV-1611) Lev 9:6 Lè sa a Moyiz di yo: -Seyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:7 ============ Lev 9:7 And Moses said unto Aaron, Go unto the altar, and offer thy sin offering, and thy burnt offering, and make an atonement for thyself, and for the people: and offer the offering of the people, and make an atonement for them; as the LORD commanded.(KJV-1611) Lev 9:7 Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l' fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:8 ============ Lev 9:8 Aaron therefore went unto the altar, and slew the calf of the sin offering, which was for himself.(KJV-1611) Lev 9:8 Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:9 ============ Lev 9:9 And the sons of Aaron brought the blood unto him: and he dipped his finger in the blood, and put it upon the horns of the altar, and poured out the blood at the bottom of the altar:(KJV-1611) Lev 9:9 Pitit li yo pote san an ba li, li tranpe dwèt li nan san an, epi li mete ti gout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li vide rès la nan pye lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:10 ============ Lev 9:10 But the fat, and the kidneys, and the caul above the liver of the sin offering, he burnt upon the altar; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 9:10 Lè l' fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:11 ============ Lev 9:11 And the flesh and the hide he burnt with fire without the camp.(KJV-1611) Lev 9:11 Pou vyann lan ak po a, li boule yo nan dife andeyò lòt bò limit kote yo rete a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:12 ============ Lev 9:12 And he slew the burnt offering; and Aaron's sons presented unto him the blood, which he sprinkled round about upon the altar.(KJV-1611) Lev 9:12 Apre sa, Arawon touye bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a. Pitit li yo pote san an ba li, li vide l' sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:13 ============ Lev 9:13 And they presented the burnt offering unto him, with the pieces thereof, and the head: and he burnt them upon the altar.(KJV-1611) Lev 9:13 Yo pote ba li tou tèt la ansanm ak rès vyann lan dekoupe, epi li mete yo boule sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:14 ============ Lev 9:14 And he did wash the inwards and the legs, and burnt them upon the burnt offering on the altar.(KJV-1611) Lev 9:14 Li lave tripay yo ansanm ak pye yo. Lèfini li mete yo boule sou lotèl la anwo vyann yo t'ap boule pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:15 ============ Lev 9:15 And he brought the people's offering, and took the goat, which was the sin offering for the people, and slew it, and offered it for sin, as the first.(KJV-1611) Lev 9:15 Apre sa, Arawon mete ofrann pèp la devan Seyè a: li pran bouk pèp la te ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la, li touye l' epi li ofri l' bay Seyè a pou peche pèp la, jan l' te fè l' pou pa l' la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:16 ============ Lev 9:16 And he brought the burnt offering, and offered it according to the manner.(KJV-1611) Lev 9:16 Apre sa, li fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre regleman yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:17 ============ Lev 9:17 And he brought the meat offering, and took an handful thereof, and burnt it upon the altar, beside the burnt sacrifice of the morning.(KJV-1611) Lev 9:17 Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:18 ============ Lev 9:18 He slew also the bullock and the ram for a sacrifice of peace offerings, which was for the people: and Aaron's sons presented unto him the blood, which he sprinkled upon the altar round about,(KJV-1611) Lev 9:18 Li touye towo a ak belye a, li ofri yo tankou ofrann pèp la fè pou di Bondye mèsi. Pitit li yo pote san an ba li, li vide san an sou lotèl la ak tout arebò lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:19 ============ Lev 9:19 And the fat of the bullock and of the ram, the rump, and that which covereth the inwards, and the kidneys, and the caul above the liver:(KJV-1611) Lev 9:19 Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:20 ============ Lev 9:20 And they put the fat upon the breasts, and he burnt the fat upon the altar:(KJV-1611) Lev 9:20 Li mete yo yonn sou lòt sou de moso pwatrin yo, epi li pote tout grès yo, li mete yo boule nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:21 ============ Lev 9:21 And the breasts and the right shoulder Aaron waved for a wave offering before the LORD; as Moses commanded.(KJV-1611) Lev 9:21 Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:22 ============ Lev 9:22 And Aaron lifted up his hand toward the people, and blessed them, and came down from offering of the sin offering, and the burnt offering, and peace offerings.(KJV-1611) Lev 9:22 Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l' anwo pèp la, li beni yo epi li desann.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:23 ============ Lev 9:23 And Moses and Aaron went into the tabernacle of the congregation, and came out, and blessed the people: and the glory of the LORD appeared unto all the people.(KJV-1611) Lev 9:23 Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.(Creole-HT) ======= Leviticus 9:24 ============ Lev 9:24 And there came a fire out from before the LORD, and consumed upon the altar the burnt offering and the fat: which when all the people saw, they shouted, and fell on their faces.(KJV-1611) Lev 9:24 Yon dife rete konsa, li soti nan syèl la, li boule tout vyann ak tout grès ki te sou lotèl la. Lè pèp la wè sa, yo tout pran rele sitèlman yo te kontan epi yo tonbe fas atè devan Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:1 ============ Lev 10:1 And Nadab and Abihu, the sons of Aaron, took either of them his censer, and put fire therein, and put incense thereon, and offered strange fire before the LORD, which he commanded them not.(KJV-1611) Lev 10:1 Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:2 ============ Lev 10:2 And there went out fire from the LORD, and devoured them, and they died before the LORD.(KJV-1611) Lev 10:2 Seyè a voye yon dife sou yo, dife a boule yo, epi yo mouri la devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:3 ============ Lev 10:3 Then Moses said unto Aaron, This is it that the LORD spake, saying, I will be sanctified in them that come nigh me, and before all the people I will be glorified. And Aaron held his peace.(KJV-1611) Lev 10:3 Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:4 ============ Lev 10:4 And Moses called Mishael and Elzaphan, the sons of Uzziel the uncle of Aaron, and said unto them, Come near, carry your brethren from before the sanctuary out of the camp.(KJV-1611) Lev 10:4 Moyiz rele Mikayèl ak Elzafan, de pitit gason Ouzyèl, tonton Arawon, li di yo: -Vini non! Wete kadav kouzen nou yo devan tant Seyè a, pote yo deyò lòt bò limit kan an.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:5 ============ Lev 10:5 So they went near, and carried them in their coats out of the camp; as Moses had said.(KJV-1611) Lev 10:5 Se konsa yo vini, yo pran kò yo ak tout rad ki te sou yo, yo pote yo lòt bò limit kan an, jan Moyiz te di a.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:6 ============ Lev 10:6 And Moses said unto Aaron, and unto Eleazar and unto Ithamar, his sons, Uncover not your heads, neither rend your clothes; lest ye die, and lest wrath come upon all the people: but let your brethren, the whole house of Israel, bewail the burning which the LORD hath kindled.(KJV-1611) Lev 10:6 Apre sa, Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -Pa rete san penyen tèt nou, pa chire rad sou nou jan moun yo fè l' la lè yo nan lapenn pou ka lanmò. Si nou fè sa n'a mouri, Seyè a va fache sou tout pèp la. Men, frè nou yo ansanm ak tout lòt moun peyi Izrayèl yo gen dwa pran lapenn pou moun sa yo ki boule nan dife Seyè a te voye sou yo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:7 ============ Lev 10:7 And ye shall not go out from the door of the tabernacle of the congregation, lest ye die: for the anointing oil of the LORD is upon you. And they did according to the word of Moses.(KJV-1611) Lev 10:7 Nou menm, rete nan tant Randevou a. Pa mete pwent pye nou deyò. Si nou fè sa n'a mouri, paske avèk lwil yo te vide sou tèt nou an, yo mete nou apa pou Seyè a. Yo fè jan Moyiz te di a.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:8 ============ Lev 10:8 And the LORD spake unto Aaron, saying,(KJV-1611) Lev 10:8 Seyè a pale ak Arawon, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 10:9 ============ Lev 10:9 Do not drink wine nor strong drink, thou, nor thy sons with thee, when ye go into the tabernacle of the congregation, lest ye die: it shall be a statute for ever throughout your generations:(KJV-1611) Lev 10:9 -Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:10 ============ Lev 10:10 And that ye may put difference between holy and unholy, and between unclean and clean;(KJV-1611) Lev 10:10 Se pou nou konnen sa ki apa pou sèvis Bondye ak sa ki pou sèvis òdinè, sa ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye ak sa ki ka sèvi pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:11 ============ Lev 10:11 And that ye may teach the children of Israel all the statutes which the LORD hath spoken unto them by the hand of Moses.(KJV-1611) Lev 10:11 Lèfini, se devwa nou pou nou moutre pèp Izrayèl la tout regleman mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz pou nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:12 ============ Lev 10:12 And Moses spake unto Aaron, and unto Eleazar and unto Ithamar, his sons that were left, Take the meat offering that remaineth of the offerings of the LORD made by fire, and eat it without leaven beside the altar: for it is most holy:(KJV-1611) Lev 10:12 Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:13 ============ Lev 10:13 And ye shall eat it in the holy place, because it is thy due, and thy sons' due, of the sacrifices of the LORD made by fire: for so I am commanded.(KJV-1611) Lev 10:13 N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:14 ============ Lev 10:14 And the wave breast and heave shoulder shall ye eat in a clean place; thou, and thy sons, and thy daughters with thee: for they be thy due, and thy sons' due, which are given out of the sacrifices of peace offerings of the children of Israel.(KJV-1611) Lev 10:14 Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:15 ============ Lev 10:15 The heave shoulder and the wave breast shall they bring with the offerings made by fire of the fat, to wave it for a wave offering before the LORD; and it shall be thine, and thy sons' with thee, by a statute for ever; as the LORD hath commanded.(KJV-1611) Lev 10:15 Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyè a te bay lòd la.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:16 ============ Lev 10:16 And Moses diligently sought the goat of the sin offering, and, behold, it was burnt: and he was angry with Eleazar and Ithamar, the sons of Aaron which were left alive, saying,(KJV-1611) Lev 10:16 Lè sa a, Moyiz mande sa yo te fè ak kabrit ki sèvi ofrann pou peye pou sa moun te fè ki mal la. Yo di l' yo te gen tan boule l'. Moyiz fè yon sèl move sou Eleaza ak Itama, de gason Arawon ki te rete yo, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 10:17 ============ Lev 10:17 Wherefore have ye not eaten the sin offering in the holy place, seeing it is most holy, and God hath given it you to bear the iniquity of the congregation, to make atonement for them before the LORD?(KJV-1611) Lev 10:17 -Poukisa nou pa t' manje ofrann yo te fè pou peche a nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a? Nou konnen ofrann lan se yon bagay ki apa nèt pou Seyè a. Seyè a ban nou l' pou nou manje, pou li ka wete peche pèp la, pou peye pou peche yo fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:18 ============ Lev 10:18 Behold, the blood of it was not brought in within the holy place: ye should indeed have eaten it in the holy place, as I commanded.(KJV-1611) Lev 10:18 Tande byen. Nou wè yo pa t' pote san an anndan kay Bondye a. Se pou nou te manje vyann lan nan kay ki apa pou Bondye a, jan Bondye te ban mwen lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Leviticus 10:19 ============ Lev 10:19 And Aaron said unto Moses, Behold, this day have they offered their sin offering and their burnt offering before the LORD; and such things have befallen me: and if I had eaten the sin offering to day, should it have been accepted in the sight of the LORD?(KJV-1611) Lev 10:19 Arawon reponn Moyiz: -Ou wè sa ki rive m' jòdi a? Atout pèp la te fè ofrann pou wete peche li yo ak ofrann pou boule pou Seyè a, mwen t'ap mande m' si m' te manje ofrann peche yo a jòdi a, ou kwè sa ta fè Seyè a plezi?(Creole-HT) ======= Leviticus 10:20 ============ Lev 10:20 And when Moses heard that, he was content.(KJV-1611) Lev 10:20 Lè Moyiz tande sa, sa te fè kè l' kontan.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:1 ============ Lev 11:1 And the LORD spake unto Moses and to Aaron, saying unto them,(KJV-1611) Lev 11:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 11:2 ============ Lev 11:2 Speak unto the children of Israel, saying, These are the beasts which ye shall eat among all the beasts that are on the earth.(KJV-1611) Lev 11:2 -Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:3 ============ Lev 11:3 Whatsoever parteth the hoof, and is clovenfooted, and cheweth the cud, among the beasts, that shall ye eat.(KJV-1611) Lev 11:3 Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:4 ============ Lev 11:4 Nevertheless these shall ye not eat of them that chew the cud, or of them that divide the hoof: as the camel, because he cheweth the cud, but divideth not the hoof; he is unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:4 Men, gen bèt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bèt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:5 ============ Lev 11:5 And the coney, because he cheweth the cud, but divideth not the hoof; he is unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:5 Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:6 ============ Lev 11:6 And the hare, because he cheweth the cud, but divideth not the hoof; he is unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:6 Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:7 ============ Lev 11:7 And the swine, though he divide the hoof, and be clovenfooted, yet he cheweth not the cud; he is unclean to you.(KJV-1611) Lev 11:7 Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:8 ============ Lev 11:8 Of their flesh shall ye not eat, and their carcase shall ye not touch; they are unclean to you.(KJV-1611) Lev 11:8 Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:9 ============ Lev 11:9 These shall ye eat of all that are in the waters: whatsoever hath fins and scales in the waters, in the seas, and in the rivers, them shall ye eat.(KJV-1611) Lev 11:9 Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:10 ============ Lev 11:10 And all that have not fins and scales in the seas, and in the rivers, of all that move in the waters, and of any living thing which is in the waters, they shall be an abomination unto you:(KJV-1611) Lev 11:10 Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:11 ============ Lev 11:11 They shall be even an abomination unto you; ye shall not eat of their flesh, but ye shall have their carcases in abomination.(KJV-1611) Lev 11:11 Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:12 ============ Lev 11:12 Whatsoever hath no fins nor scales in the waters, that shall be an abomination unto you.(KJV-1611) Lev 11:12 Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:13 ============ Lev 11:13 And these are they which ye shall have in abomination among the fowls; they shall not be eaten, they are an abomination: the eagle, and the ossifrage, and the ospray,(KJV-1611) Lev 11:13 Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:14 ============ Lev 11:14 And the vulture, and the kite after his kind;(KJV-1611) Lev 11:14 Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:15 ============ Lev 11:15 Every raven after his kind;(KJV-1611) Lev 11:15 tout kalite kònèy,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:16 ============ Lev 11:16 And the owl, and the night hawk, and the cuckow, and the hawk after his kind,(KJV-1611) Lev 11:16 otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:17 ============ Lev 11:17 And the little owl, and the cormorant, and the great owl,(KJV-1611) Lev 11:17 koukou, plonjon, frize,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:18 ============ Lev 11:18 And the swan, and the pelican, and the gier eagle,(KJV-1611) Lev 11:18 gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:19 ============ Lev 11:19 And the stork, the heron after her kind, and the lapwing, and the bat.(KJV-1611) Lev 11:19 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:20 ============ Lev 11:20 All fowls that creep, going upon all four, shall be an abomination unto you.(KJV-1611) Lev 11:20 Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:21 ============ Lev 11:21 Yet these may ye eat of every flying creeping thing that goeth upon all four, which have legs above their feet, to leap withal upon the earth;(KJV-1611) Lev 11:21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:22 ============ Lev 11:22 Even these of them ye may eat; the locust after his kind, and the bald locust after his kind, and the beetle after his kind, and the grasshopper after his kind.(KJV-1611) Lev 11:22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:23 ============ Lev 11:23 But all other flying creeping things, which have four feet, shall be an abomination unto you.(KJV-1611) Lev 11:23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:24 ============ Lev 11:24 And for these ye shall be unclean: whosoever toucheth the carcase of them shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:24 Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:25 ============ Lev 11:25 And whosoever beareth ought of the carcase of them shall wash his clothes, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:25 Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:26 ============ Lev 11:26 The carcases of every beast which divideth the hoof, and is not clovenfooted, nor cheweth the cud, are unclean unto you: every one that toucheth them shall be unclean.(KJV-1611) Lev 11:26 Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:27 ============ Lev 11:27 And whatsoever goeth upon his paws, among all manner of beasts that go on all four, those are unclean unto you: whoso toucheth their carcase shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:27 Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:28 ============ Lev 11:28 And he that beareth the carcase of them shall wash his clothes, and be unclean until the even: they are unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:28 Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:29 ============ Lev 11:29 These also shall be unclean unto you among the creeping things that creep upon the earth; the weasel, and the mouse, and the tortoise after his kind,(KJV-1611) Lev 11:29 Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza,(Creole-HT) ======= Leviticus 11:30 ============ Lev 11:30 And the ferret, and the chameleon, and the lizard, and the snail, and the mole.(KJV-1611) Lev 11:30 zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:31 ============ Lev 11:31 These are unclean to you among all that creep: whosoever doth touch them, when they be dead, shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:31 Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:32 ============ Lev 11:32 And upon whatsoever any of them, when they are dead, doth fall, it shall be unclean; whether it be any vessel of wood, or raiment, or skin, or sack, whatsoever vessel it be, wherein any work is done, it must be put into water, and it shall be unclean until the even; so it shall be cleansed.(KJV-1611) Lev 11:32 Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:33 ============ Lev 11:33 And every earthen vessel, whereinto any of them falleth, whatsoever is in it shall be unclean; and ye shall break it.(KJV-1611) Lev 11:33 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe nan yon veso fèt an tè, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sèvi ankò, epitou se pou nou kraze veso sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:34 ============ Lev 11:34 Of all meat which may be eaten, that on which such water cometh shall be unclean: and all drink that may be drunk in every such vessel shall be unclean.(KJV-1611) Lev 11:34 Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpòt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankò pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwè, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankò pou nou bwè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:35 ============ Lev 11:35 And every thing whereupon any part of their carcase falleth shall be unclean; whether it be oven, or ranges for pots, they shall be broken down: for they are unclean and shall be unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:35 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou nenpòt bagay, bagay sa a pa bon pou sèvi ankò. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyèt moso. Yo pa bon, nou pa fèt pou sèvi ak yo ankò menm.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:36 ============ Lev 11:36 Nevertheless a fountain or pit, wherein there is plenty of water, shall be clean: but that which toucheth their carcase shall be unclean.(KJV-1611) Lev 11:36 Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitèn pou ranmase dlo, sous la osinon sitèn lan ap toujou bon pou sèvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:37 ============ Lev 11:37 And if any part of their carcase fall upon any sowing seed which is to be sown, it shall be clean.(KJV-1611) Lev 11:37 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:38 ============ Lev 11:38 But if any water be put upon the seed, and any part of their carcase fall thereon, it shall be unclean unto you.(KJV-1611) Lev 11:38 Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankò pou plante.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:39 ============ Lev 11:39 And if any beast, of which ye may eat, die; he that toucheth the carcase thereof shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:39 Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:40 ============ Lev 11:40 And he that eateth of the carcase of it shall wash his clothes, and be unclean until the even: he also that beareth the carcase of it shall wash his clothes, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 11:40 Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:41 ============ Lev 11:41 And every creeping thing that creepeth upon the earth shall be an abomination; it shall not be eaten.(KJV-1611) Lev 11:41 Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:42 ============ Lev 11:42 Whatsoever goeth upon the belly, and whatsoever goeth upon all four, or whatsoever hath more feet among all creeping things that creep upon the earth, them ye shall not eat; for they are an abomination.(KJV-1611) Lev 11:42 Depi se ti bèt k'ap trennen sou vant ou ankò ti bèt kat pye, ou ankò ti bèt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sèvi Bondye: nou pa fèt pou nou manje yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:43 ============ Lev 11:43 Ye shall not make yourselves abominable with any creeping thing that creepeth, neither shall ye make yourselves unclean with them, that ye should be defiled thereby.(KJV-1611) Lev 11:43 Pa manje ankenn nan ti bèt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:44 ============ Lev 11:44 For I am the LORD your God: ye shall therefore sanctify yourselves, and ye shall be holy; for I am holy: neither shall ye defile yourselves with any manner of creeping thing that creepeth upon the earth.(KJV-1611) Lev 11:44 Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:45 ============ Lev 11:45 For I am the LORD that bringeth you up out of the land of Egypt, to be your God: ye shall therefore be holy, for I am holy.(KJV-1611) Lev 11:45 Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:46 ============ Lev 11:46 This is the law of the beasts, and of the fowl, and of every living creature that moveth in the waters, and of every creature that creepeth upon the earth:(KJV-1611) Lev 11:46 Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.(Creole-HT) ======= Leviticus 11:47 ============ Lev 11:47 To make a difference between the unclean and the clean, and between the beast that may be eaten and the beast that may not be eaten.(KJV-1611) Lev 11:47 Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:1 ============ Lev 12:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 12:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 12:2 ============ Lev 12:2 Speak unto the children of Israel, saying, If a woman have conceived seed, and born a man child: then she shall be unclean seven days; according to the days of the separation for her infirmity shall she be unclean.(KJV-1611) Lev 12:2 -Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:3 ============ Lev 12:3 And in the eighth day the flesh of his foreskin shall be circumcised.(KJV-1611) Lev 12:3 Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:4 ============ Lev 12:4 And she shall then continue in the blood of her purifying three and thirty days; she shall touch no hallowed thing, nor come into the sanctuary, until the days of her purifying be fulfilled.(KJV-1611) Lev 12:4 Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:5 ============ Lev 12:5 But if she bear a maid child, then she shall be unclean two weeks, as in her separation: and she shall continue in the blood of her purifying threescore and six days.(KJV-1611) Lev 12:5 Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:6 ============ Lev 12:6 And when the days of her purifying are fulfilled, for a son, or for a daughter, she shall bring a lamb of the first year for a burnt offering, and a young pigeon, or a turtledove, for a sin offering, unto the door of the tabernacle of the congregation, unto the priest:(KJV-1611) Lev 12:6 Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:7 ============ Lev 12:7 Who shall offer it before the LORD, and make an atonement for her; and she shall be cleansed from the issue of her blood. This is the law for her that hath born a male or a female.(KJV-1611) Lev 12:7 Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 12:8 ============ Lev 12:8 And if she be not able to bring a lamb, then she shall bring two turtles, or two young pigeons; the one for the burnt offering, and the other for a sin offering: and the priest shall make an atonement for her, and she shall be clean.(KJV-1611) Lev 12:8 Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:1 ============ Lev 13:1 And the LORD spake unto Moses and Aaron, saying,(KJV-1611) Lev 13:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 13:2 ============ Lev 13:2 When a man shall have in the skin of his flesh a rising, a scab, or bright spot, and it be in the skin of his flesh like the plague of leprosy; then he shall be brought unto Aaron the priest, or unto one of his sons the priests:(KJV-1611) Lev 13:2 -Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:3 ============ Lev 13:3 And the priest shall look on the plague in the skin of the flesh: and when the hair in the plague is turned white, and the plague in sight be deeper than the skin of his flesh, it is a plague of leprosy: and the priest shall look on him, and pronounce him unclean.(KJV-1611) Lev 13:3 Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l'a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l'a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:4 ============ Lev 13:4 If the bright spot be white in the skin of his flesh, and in sight be not deeper than the skin, and the hair thereof be not turned white; then the priest shall shut up him that hath the plague seven days:(KJV-1611) Lev 13:4 Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:5 ============ Lev 13:5 And the priest shall look on him the seventh day: and, behold, if the plague in his sight be at a stay, and the plague spread not in the skin; then the priest shall shut him up seven days more:(KJV-1611) Lev 13:5 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:6 ============ Lev 13:6 And the priest shall look on him again the seventh day: and, behold, if the plague be somewhat dark, and the plague spread not in the skin, the priest shall pronounce him clean: it is but a scab: and he shall wash his clothes, and be clean.(KJV-1611) Lev 13:6 Apre sa, prèt la va egzaminen l' ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l' sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:7 ============ Lev 13:7 But if the scab spread much abroad in the skin, after that he hath been seen of the priest for his cleansing, he shall be seen of the priest again.(KJV-1611) Lev 13:7 Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l' la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:8 ============ Lev 13:8 And if the priest see that, behold, the scab spreadeth in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is a leprosy.(KJV-1611) Lev 13:8 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!(Creole-HT) ======= Leviticus 13:9 ============ Lev 13:9 When the plague of leprosy is in a man, then he shall be brought unto the priest;(KJV-1611) Lev 13:9 Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y'a mennen l' bay prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:10 ============ Lev 13:10 And the priest shall see him: and, behold, if the rising be white in the skin, and it have turned the hair white, and there be quick raw flesh in the rising;(KJV-1611) Lev 13:10 Prèt la va egzaminen l'. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:11 ============ Lev 13:11 It is an old leprosy in the skin of his flesh, and the priest shall pronounce him unclean, and shall not shut him up: for he is unclean.(KJV-1611) Lev 13:11 se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p'ap bezwen fèmen l' yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:12 ============ Lev 13:12 And if a leprosy break out abroad in the skin, and the leprosy cover all the skin of him that hath the plague from his head even to his foot, wheresoever the priest looketh;(KJV-1611) Lev 13:12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l', si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l' li wè se bouton,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:13 ============ Lev 13:13 Then the priest shall consider: and, behold, if the leprosy have covered all his flesh, he shall pronounce him clean that hath the plague: it is all turned white: he is clean.(KJV-1611) Lev 13:13 prèt la va egzaminen l' ankò. Si maladi a kouvri tout kò l', prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l' vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:14 ============ Lev 13:14 But when raw flesh appeareth in him, he shall be unclean.(KJV-1611) Lev 13:14 Men, jou yon bouton pete, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:15 ============ Lev 13:15 And the priest shall see the raw flesh, and pronounce him to be unclean: for the raw flesh is unclean: it is a leprosy.(KJV-1611) Lev 13:15 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè yon bouton pete, l'a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:16 ============ Lev 13:16 Or if the raw flesh turn again, and be changed unto white, he shall come unto the priest;(KJV-1611) Lev 13:16 Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:17 ============ Lev 13:17 And the priest shall see him: and, behold, if the plague be turned into white; then the priest shall pronounce him clean that hath the plague: he is clean.(KJV-1611) Lev 13:17 Prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:18 ============ Lev 13:18 The flesh also, in which, even in the skin thereof, was a boil, and is healed,(KJV-1611) Lev 13:18 Si yon moun gen yon apse ki geri,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:19 ============ Lev 13:19 And in the place of the boil there be a white rising, or a bright spot, white, and somewhat reddish, and it be shewed to the priest;(KJV-1611) Lev 13:19 men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l' al wè prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:20 ============ Lev 13:20 And if, when the priest seeth it, behold, it be in sight lower than the skin, and the hair thereof be turned white; the priest shall pronounce him unclean: it is a plague of leprosy broken out of the boil.(KJV-1611) Lev 13:20 Prèt la va egzaminen l'. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l' yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k'ap parèt sou mak apse a.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:21 ============ Lev 13:21 But if the priest look on it, and, behold, there be no white hairs therein, and if it be not lower than the skin, but be somewhat dark; then the priest shall shut him up seven days:(KJV-1611) Lev 13:21 Men, lè prèt la egzaminen l', si li wè pwal ki ladan l' yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:22 ============ Lev 13:22 And if it spread much abroad in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is a plague.(KJV-1611) Lev 13:22 Si bouton an gaye sou tout kò l', prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:23 ============ Lev 13:23 But if the bright spot stay in his place, and spread not, it is a burning boil; and the priest shall pronounce him clean.(KJV-1611) Lev 13:23 Men, si bouton an rete jan l' te ye a, y'a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:24 ============ Lev 13:24 Or if there be any flesh, in the skin whereof there is a hot burning, and the quick flesh that burneth have a white bright spot, somewhat reddish, or white;(KJV-1611) Lev 13:24 Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:25 ============ Lev 13:25 Then the priest shall look upon it: and, behold, if the hair in the bright spot be turned white, and it be in sight deeper than the skin; it is a leprosy broken out of the burning: wherefore the priest shall pronounce him unclean: it is the plague of leprosy.(KJV-1611) Lev 13:25 prèt la va egzaminen l'. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y'a konnen se yon move maladi po k'ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:26 ============ Lev 13:26 But if the priest look on it, and, behold, there be no white hair in the bright spot, and it be no lower than the other skin, but be somewhat dark; then the priest shall shut him up seven days:(KJV-1611) Lev 13:26 Men, si lè prèt la egzaminen l' li pa jwenn pwal blan ladan l', epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:27 ============ Lev 13:27 And the priest shall look upon him the seventh day: and if it be spread much abroad in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is the plague of leprosy.(KJV-1611) Lev 13:27 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè tach la ap gaye, l'a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:28 ============ Lev 13:28 And if the bright spot stay in his place, and spread not in the skin, but it be somewhat dark; it is a rising of the burning, and the priest shall pronounce him clean: for it is an inflammation of the burning.(KJV-1611) Lev 13:28 Men, si tach la rete jan l' te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l'a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k'ap geri.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:29 ============ Lev 13:29 If a man or woman have a plague upon the head or the beard;(KJV-1611) Lev 13:29 Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l' osinon nan bab li ki fè yon plak,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:30 ============ Lev 13:30 Then the priest shall see the plague: and, behold, if it be in sight deeper than the skin; and there be in it a yellow thin hair; then the priest shall pronounce him unclean: it is a dry scall, even a leprosy upon the head or beard.(KJV-1611) Lev 13:30 prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l', l'a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l' osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:31 ============ Lev 13:31 And if the priest look on the plague of the scall, and, behold, it be not in sight deeper than the skin, and that there is no black hair in it; then the priest shall shut up him that hath the plague of the scall seven days:(KJV-1611) Lev 13:31 Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l' yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:32 ============ Lev 13:32 And in the seventh day the priest shall look on the plague: and, behold, if the scall spread not, and there be in it no yellow hair, and the scall be not in sight deeper than the skin;(KJV-1611) Lev 13:32 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l' yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:33 ============ Lev 13:33 He shall be shaven, but the scall shall he not shave; and the priest shall shut up him that hath the scall seven days more:(KJV-1611) Lev 13:33 moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l' pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l' yon kote pou kont li pou sèt jou ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:34 ============ Lev 13:34 And in the seventh day the priest shall look on the scall: and, behold, if the scall be not spread in the skin, nor be in sight deeper than the skin; then the priest shall pronounce him clean: and he shall wash his clothes, and be clean.(KJV-1611) Lev 13:34 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:35 ============ Lev 13:35 But if the scall spread much in the skin after his cleansing;(KJV-1611) Lev 13:35 Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:36 ============ Lev 13:36 Then the priest shall look on him: and, behold, if the scall be spread in the skin, the priest shall not seek for yellow hair; he is unclean.(KJV-1611) Lev 13:36 prèt la va egzaminen l' ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L'a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:37 ============ Lev 13:37 But if the scall be in his sight at a stay, and that there is black hair grown up therein; the scall is healed, he is clean: and the priest shall pronounce him clean.(KJV-1611) Lev 13:37 Men si li wè pyas la rete jan l' te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l'a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:38 ============ Lev 13:38 If a man also or a woman have in the skin of their flesh bright spots, even white bright spots;(KJV-1611) Lev 13:38 Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l',(Creole-HT) ======= Leviticus 13:39 ============ Lev 13:39 Then the priest shall look: and, behold, if the bright spots in the skin of their flesh be darkish white; it is a freckled spot that groweth in the skin; he is clean.(KJV-1611) Lev 13:39 prèt la va egzaminen l'. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l'a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:40 ============ Lev 13:40 And the man whose hair is fallen off his head, he is bald; yet is he clean.(KJV-1611) Lev 13:40 Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:41 ============ Lev 13:41 And he that hath his hair fallen off from the part of his head toward his face, he is forehead bald: yet is he clean.(KJV-1611) Lev 13:41 Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:42 ============ Lev 13:42 And if there be in the bald head, or bald forehead, a white reddish sore; it is a leprosy sprung up in his bald head, or his bald forehead.(KJV-1611) Lev 13:42 Men, si kote l' chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k'ap leve sou kò l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:43 ============ Lev 13:43 Then the priest shall look upon it: and, behold, if the rising of the sore be white reddish in his bald head, or in his bald forehead, as the leprosy appeareth in the skin of the flesh;(KJV-1611) Lev 13:43 Lè sa a, prèt la va egzaminen l'. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:44 ============ Lev 13:44 He is a leprous man, he is unclean: the priest shall pronounce him utterly unclean; his plague is in his head.(KJV-1611) Lev 13:44 l'a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:45 ============ Lev 13:45 And the leper in whom the plague is, his clothes shall be rent, and his head bare, and he shall put a covering upon his upper lip, and shall cry, Unclean, unclean.(KJV-1611) Lev 13:45 Lè yon moun gen yon move maladi po, l'a mete vye rad chire sou li. L'a kite tèt li san penyen, l'a kouvri figi l' depi anba nen l' desann, epi kote l' pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!(Creole-HT) ======= Leviticus 13:46 ============ Lev 13:46 All the days wherein the plague shall be in him he shall be defiled; he is unclean: he shall dwell alone; without the camp shall his habitation be.(KJV-1611) Lev 13:46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:47 ============ Lev 13:47 The garment also that the plague of leprosy is in, whether it be a woollen garment, or a linen garment;(KJV-1611) Lev 13:47 Lè yon rad fèt an lenn nèt osinon an twal fen blan nèt bay mak tankou li ta vle kanni,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:48 ============ Lev 13:48 Whether it be in the warp, or woof; of linen, or of woollen; whether in a skin, or in any thing made of skin;(KJV-1611) Lev 13:48 ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:49 ============ Lev 13:49 And if the plague be greenish or reddish in the garment, or in the skin, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin; it is a plague of leprosy, and shall be shewed unto the priest:(KJV-1611) Lev 13:49 si kote ki vle kanni an gen yon ti koulè vèt osinon wouj, sa vle di se kanni l'ap kanni. Se pou nou pote l' moutre prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:50 ============ Lev 13:50 And the priest shall look upon the plague, and shut up it that hath the plague seven days:(KJV-1611) Lev 13:50 Prèt la va pran l', l'a egzaminen l' epi l'a fèmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:51 ============ Lev 13:51 And he shall look on the plague on the seventh day: if the plague be spread in the garment, either in the warp, or in the woof, or in a skin, or in any work that is made of skin; the plague is a fretting leprosy; it is unclean.(KJV-1611) Lev 13:51 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l' ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l'ap kanni vre. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l' ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:52 ============ Lev 13:52 He shall therefore burn that garment, whether warp or woof, in woollen or in linen, or any thing of skin, wherein the plague is: for it is a fretting leprosy; it shall be burnt in the fire.(KJV-1611) Lev 13:52 Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:53 ============ Lev 13:53 And if the priest shall look, and, behold, the plague be not spread in the garment, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin;(KJV-1611) Lev 13:53 Men, si lè prèt la egzaminen l', li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,(Creole-HT) ======= Leviticus 13:54 ============ Lev 13:54 Then the priest shall command that they wash the thing wherein the plague is, and he shall shut it up seven days more:(KJV-1611) Lev 13:54 prèt la va bay lòd pou yo lave l'. Apre sa, l'a fèmen l' ankò yon kote pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:55 ============ Lev 13:55 And the priest shall look on the plague, after that it is washed: and, behold, if the plague have not changed his colour, and the plague be not spread; it is unclean; thou shalt burn it in the fire; it is fret inward, whether it be bare within or without.(KJV-1611) Lev 13:55 Sou setyèm jou a, l'a egzaminen l' ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l'. Se pou yo boule l' nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:56 ============ Lev 13:56 And if the priest look, and, behold, the plague be somewhat dark after the washing of it; then he shall rend it out of the garment, or out of the skin, or out of the warp, or out of the woof:(KJV-1611) Lev 13:56 Men, si lè prèt la ap egzaminen l' dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l'a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l'a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:57 ============ Lev 13:57 And if it appear still in the garment, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin; it is a spreading plague: thou shalt burn that wherein the plague is with fire.(KJV-1611) Lev 13:57 Si apre sa, kanni an parèt ankò epi li konmanse gaye nan rès rad la, mèt rad la va boule l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:58 ============ Lev 13:58 And the garment, either warp, or woof, or whatsoever thing of skin it be, which thou shalt wash, if the plague be departed from them, then it shall be washed the second time, and shall be clean.(KJV-1611) Lev 13:58 Si apre yo lave yon rad, kanni an disparèt, y'a lave l' yon dezyèm fwa. Se lè sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi avè l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 13:59 ============ Lev 13:59 This is the law of the plague of leprosy in a garment of woollen or linen, either in the warp, or woof, or any thing of skins, to pronounce it clean, or to pronounce it unclean.(KJV-1611) Lev 13:59 Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:1 ============ Lev 14:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 14:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 14:2 ============ Lev 14:2 This shall be the law of the leper in the day of his cleansing: He shall be brought unto the priest:(KJV-1611) Lev 14:2 -Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:3 ============ Lev 14:3 And the priest shall go forth out of the camp; and the priest shall look, and, behold, if the plague of leprosy be healed in the leper;(KJV-1611) Lev 14:3 Prèt la va pran l', l'a soti ansanm avè l' lòt bò limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wè si malad la geri vre.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:4 ============ Lev 14:4 Then shall the priest command to take for him that is to be cleansed two birds alive and clean, and cedar wood, and scarlet, and hyssop:(KJV-1611) Lev 14:4 Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:5 ============ Lev 14:5 And the priest shall command that one of the birds be killed in an earthen vessel over running water:(KJV-1611) Lev 14:5 Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:6 ============ Lev 14:6 As for the living bird, he shall take it, and the cedar wood, and the scarlet, and the hyssop, and shall dip them and the living bird in the blood of the bird that was killed over the running water:(KJV-1611) Lev 14:6 L'a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:7 ============ Lev 14:7 And he shall sprinkle upon him that is to be cleansed from the leprosy seven times, and shall pronounce him clean, and shall let the living bird loose into the open field.(KJV-1611) Lev 14:7 Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:8 ============ Lev 14:8 And he that is to be cleansed shall wash his clothes, and shave off all his hair, and wash himself in water, that he may be clean: and after that he shall come into the camp, and shall tarry abroad out of his tent seven days.(KJV-1611) Lev 14:8 Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:9 ============ Lev 14:9 But it shall be on the seventh day, that he shall shave all his hair off his head and his beard and his eyebrows, even all his hair he shall shave off: and he shall wash his clothes, also he shall wash his flesh in water, and he shall be clean.(KJV-1611) Lev 14:9 Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:10 ============ Lev 14:10 And on the eighth day he shall take two he lambs without blemish, and one ewe lamb of the first year without blemish, and three tenth deals of fine flour for a meat offering, mingled with oil, and one log of oil.(KJV-1611) Lev 14:10 Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:11 ============ Lev 14:11 And the priest that maketh him clean shall present the man that is to be made clean, and those things, before the LORD, at the door of the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Lev 14:11 Prèt k'ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:12 ============ Lev 14:12 And the priest shall take one he lamb, and offer him for a trespass offering, and the log of oil, and wave them for a wave offering before the LORD:(KJV-1611) Lev 14:12 Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:13 ============ Lev 14:13 And he shall slay the lamb in the place where he shall kill the sin offering and the burnt offering, in the holy place: for as the sin offering is the priest's, so is the trespass offering: it is most holy:(KJV-1611) Lev 14:13 L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:14 ============ Lev 14:14 And the priest shall take some of the blood of the trespass offering, and the priest shall put it upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot:(KJV-1611) Lev 14:14 Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:15 ============ Lev 14:15 And the priest shall take some of the log of oil, and pour it into the palm of his own left hand:(KJV-1611) Lev 14:15 Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:16 ============ Lev 14:16 And the priest shall dip his right finger in the oil that is in his left hand, and shall sprinkle of the oil with his finger seven times before the LORD:(KJV-1611) Lev 14:16 L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:17 ============ Lev 14:17 And of the rest of the oil that is in his hand shall the priest put upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot, upon the blood of the trespass offering:(KJV-1611) Lev 14:17 L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:18 ============ Lev 14:18 And the remnant of the oil that is in the priest's hand he shall pour upon the head of him that is to be cleansed: and the priest shall make an atonement for him before the LORD.(KJV-1611) Lev 14:18 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:19 ============ Lev 14:19 And the priest shall offer the sin offering, and make an atonement for him that is to be cleansed from his uncleanness; and afterward he shall kill the burnt offering:(KJV-1611) Lev 14:19 Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:20 ============ Lev 14:20 And the priest shall offer the burnt offering and the meat offering upon the altar: and the priest shall make an atonement for him, and he shall be clean.(KJV-1611) Lev 14:20 L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:21 ============ Lev 14:21 And if he be poor, and cannot get so much; then he shall take one lamb for a trespass offering to be waved, to make an atonement for him, and one tenth deal of fine flour mingled with oil for a meat offering, and a log of oil;(KJV-1611) Lev 14:21 Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:22 ============ Lev 14:22 And two turtledoves, or two young pigeons, such as he is able to get; and the one shall be a sin offering, and the other a burnt offering.(KJV-1611) Lev 14:22 L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:23 ============ Lev 14:23 And he shall bring them on the eighth day for his cleansing unto the priest, unto the door of the tabernacle of the congregation, before the LORD.(KJV-1611) Lev 14:23 Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:24 ============ Lev 14:24 And the priest shall take the lamb of the trespass offering, and the log of oil, and the priest shall wave them for a wave offering before the LORD:(KJV-1611) Lev 14:24 Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:25 ============ Lev 14:25 And he shall kill the lamb of the trespass offering, and the priest shall take some of the blood of the trespass offering, and put it upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot:(KJV-1611) Lev 14:25 Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:26 ============ Lev 14:26 And the priest shall pour of the oil into the palm of his own left hand:(KJV-1611) Lev 14:26 Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:27 ============ Lev 14:27 And the priest shall sprinkle with his right finger some of the oil that is in his left hand seven times before the LORD:(KJV-1611) Lev 14:27 l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:28 ============ Lev 14:28 And the priest shall put of the oil that is in his hand upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot, upon the place of the blood of the trespass offering:(KJV-1611) Lev 14:28 Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:29 ============ Lev 14:29 And the rest of the oil that is in the priest's hand he shall put upon the head of him that is to be cleansed, to make an atonement for him before the LORD.(KJV-1611) Lev 14:29 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:30 ============ Lev 14:30 And he shall offer the one of the turtledoves, or of the young pigeons, such as he can get;(KJV-1611) Lev 14:30 Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:31 ============ Lev 14:31 Even such as he is able to get, the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, with the meat offering: and the priest shall make an atonement for him that is to be cleansed before the LORD.(KJV-1611) Lev 14:31 yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:32 ============ Lev 14:32 This is the law of him in whom is the plague of leprosy, whose hand is not able to get that which pertaineth to his cleansing.(KJV-1611) Lev 14:32 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:33 ============ Lev 14:33 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Lev 14:33 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:(Creole-HT) ======= Leviticus 14:34 ============ Lev 14:34 When ye be come into the land of Canaan, which I give to you for a possession, and I put the plague of leprosy in a house of the land of your possession;(KJV-1611) Lev 14:34 -Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:35 ============ Lev 14:35 And he that owneth the house shall come and tell the priest, saying, It seemeth to me there is as it were a plague in the house:(KJV-1611) Lev 14:35 Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:36 ============ Lev 14:36 Then the priest shall command that they empty the house, before the priest go into it to see the plague, that all that is in the house be not made unclean: and afterward the priest shall go in to see the house:(KJV-1611) Lev 14:36 Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:37 ============ Lev 14:37 And he shall look on the plague, and, behold, if the plague be in the walls of the house with hollow strakes, greenish or reddish, which in sight are lower than the wall;(KJV-1611) Lev 14:37 L'a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:38 ============ Lev 14:38 Then the priest shall go out of the house to the door of the house, and shut up the house seven days:(KJV-1611) Lev 14:38 prèt la va soti nan kay la, l'a fèmen l' akle pou sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:39 ============ Lev 14:39 And the priest shall come again the seventh day, and shall look: and, behold, if the plague be spread in the walls of the house;(KJV-1611) Lev 14:39 Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:40 ============ Lev 14:40 Then the priest shall command that they take away the stones in which the plague is, and they shall cast them into an unclean place without the city:(KJV-1611) Lev 14:40 prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y'a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:41 ============ Lev 14:41 And he shall cause the house to be scraped within round about, and they shall pour out the dust that they scrape off without the city into an unclean place:(KJV-1611) Lev 14:41 Apre sa, l'a fè yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:42 ============ Lev 14:42 And they shall take other stones, and put them in the place of those stones; and he shall take other morter, and shall plaister the house.(KJV-1611) Lev 14:42 Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:43 ============ Lev 14:43 And if the plague come again, and break out in the house, after that he hath taken away the stones, and after he hath scraped the house, and after it is plaistered;(KJV-1611) Lev 14:43 Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',(Creole-HT) ======= Leviticus 14:44 ============ Lev 14:44 Then the priest shall come and look, and, behold, if the plague be spread in the house, it is a fretting leprosy in the house; it is unclean.(KJV-1611) Lev 14:44 prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:45 ============ Lev 14:45 And he shall break down the house, the stones of it, and the timber thereof, and all the morter of the house; and he shall carry them forth out of the city into an unclean place.(KJV-1611) Lev 14:45 Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:46 ============ Lev 14:46 Moreover he that goeth into the house all the while that it is shut up shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 14:46 Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:47 ============ Lev 14:47 And he that lieth in the house shall wash his clothes; and he that eateth in the house shall wash his clothes.(KJV-1611) Lev 14:47 Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:48 ============ Lev 14:48 And if the priest shall come in, and look upon it, and, behold, the plague hath not spread in the house, after the house was plaistered: then the priest shall pronounce the house clean, because the plague is healed.(KJV-1611) Lev 14:48 Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l', paske salpèt la disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:49 ============ Lev 14:49 And he shall take to cleanse the house two birds, and cedar wood, and scarlet, and hyssop:(KJV-1611) Lev 14:49 Apre sa, prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kèk moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:50 ============ Lev 14:50 And he shall kill the one of the birds in an earthen vessel over running water:(KJV-1611) Lev 14:50 L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bòl an tè plen dlo fre.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:51 ============ Lev 14:51 And he shall take the cedar wood, and the hyssop, and the scarlet, and the living bird, and dip them in the blood of the slain bird, and in the running water, and sprinkle the house seven times:(KJV-1611) Lev 14:51 Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:52 ============ Lev 14:52 And he shall cleanse the house with the blood of the bird, and with the running water, and with the living bird, and with the cedar wood, and with the hyssop, and with the scarlet:(KJV-1611) Lev 14:52 Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:53 ============ Lev 14:53 But he shall let go the living bird out of the city into the open fields, and make an atonement for the house: and it shall be clean.(KJV-1611) Lev 14:53 Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l' ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:54 ============ Lev 14:54 This is the law for all manner of plague of leprosy, and scall,(KJV-1611) Lev 14:54 Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:55 ============ Lev 14:55 And for the leprosy of a garment, and of a house,(KJV-1611) Lev 14:55 lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay,(Creole-HT) ======= Leviticus 14:56 ============ Lev 14:56 And for a rising, and for a scab, and for a bright spot:(KJV-1611) Lev 14:56 lè yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 14:57 ============ Lev 14:57 To teach when it is unclean, and when it is clean: this is the law of leprosy.(KJV-1611) Lev 14:57 Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:1 ============ Lev 15:1 And the LORD spake unto Moses and to Aaron, saying,(KJV-1611) Lev 15:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 15:2 ============ Lev 15:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When any man hath a running issue out of his flesh, because of his issue he is unclean.(KJV-1611) Lev 15:2 -Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:3 ============ Lev 15:3 And this shall be his uncleanness in his issue: whether his flesh run with his issue, or his flesh be stopped from his issue, it is his uncleanness.(KJV-1611) Lev 15:3 Kit ekoulman an ap koule, kit li bloke ti pati li, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:4 ============ Lev 15:4 Every bed, whereon he lieth that hath the issue, is unclean: and every thing, whereon he sitteth, shall be unclean.(KJV-1611) Lev 15:4 Moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote moun malad la kouche ni ak bagay kote l' te chita.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:5 ============ Lev 15:5 And whosoever toucheth his bed shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:5 Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:6 ============ Lev 15:6 And he that sitteth on any thing whereon he sat that hath the issue shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:6 Konsa tou, tout moun ki chita sou bagay kote li te chita gen pou lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:7 ============ Lev 15:7 And he that toucheth the flesh of him that hath the issue shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:7 Tout moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman gen pou yo lave rad ki sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:8 ============ Lev 15:8 And if he that hath the issue spit upon him that is clean; then he shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:8 Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l' lave rad ki te sou li a, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:9 ============ Lev 15:9 And what saddle soever he rideth upon that hath the issue shall be unclean.(KJV-1611) Lev 15:9 Si nonm malad la moute sou yon sèl chwal, moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pa ka sèvi avèk sèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:10 ============ Lev 15:10 And whosoever toucheth any thing that was under him shall be unclean until the even: and he that beareth any of those things shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:10 Tout moun ki manyen nenpòt bagay kote nonm lan te chita a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Tout moun ki va pran nenpòt bagay kote nonm lan te chita a pou yo pote l' ak men yo, yo gen pou lave rad sou yo, pou yo benyen nan gwo dlo epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:11 ============ Lev 15:11 And whomsoever he toucheth that hath the issue, and hath not rinsed his hands in water, he shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:11 Si yon nonm ki gen ekoulman manyen yon moun san li pa lave men l' anvan, moun sa a gen pou lave rad ki sou li, li gen pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:12 ============ Lev 15:12 And the vessel of earth, that he toucheth which hath the issue, shall be broken: and every vessel of wood shall be rinsed in water.(KJV-1611) Lev 15:12 Depi nonm malad la manyen yon veso fèt an tè, se pou yo kraze veso a. Men, si veso a fèt an bwa, y'a lave l' nan gwo dlo.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:13 ============ Lev 15:13 And when he that hath an issue is cleansed of his issue; then he shall number to himself seven days for his cleansing, and wash his clothes, and bathe his flesh in running water, and shall be clean.(KJV-1611) Lev 15:13 Apre nonm ki te gen ekoulman an fin geri, li gen pou l' tann sèt jou anvan li fè sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lè sa a, l'a lave rad ki sou li, l'a benyen nan dlo dous. Se konsa l'a vin nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:14 ============ Lev 15:14 And on the eighth day he shall take to him two turtledoves, or two young pigeons, and come before the LORD unto the door of the tabernacle of the congregation, and give them unto the priest:(KJV-1611) Lev 15:14 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:15 ============ Lev 15:15 And the priest shall offer them, the one for a sin offering, and the other for a burnt offering; and the priest shall make an atonement for him before the LORD for his issue.(KJV-1611) Lev 15:15 Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, lòt la pou yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou ekoulman nonm lan te genyen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:16 ============ Lev 15:16 And if any man's seed of copulation go out from him, then he shall wash all his flesh in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:16 Lè yon nonm voye sou li, se pou li lave tout kò l' nan dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:17 ============ Lev 15:17 And every garment, and every skin, whereon is the seed of copulation, shall be washed with water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:17 Depi dechay la tonbe sou yon bagay fèt an twal osinon an po, se pou yo lave bagay sa yo, epi moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye p'ap ka sèvi ak bagay sa yo jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:18 ============ Lev 15:18 The woman also with whom man shall lie with seed of copulation, they shall both bathe themselves in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:18 Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:19 ============ Lev 15:19 And if a woman have an issue, and her issue in her flesh be blood, she shall be put apart seven days: and whosoever toucheth her shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:19 Lè yon fanm gen règ li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Tout moun ki manyen l' pandan sèt jou sa yo p'ap nan kondisyon tou pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:20 ============ Lev 15:20 And every thing that she lieth upon in her separation shall be unclean: every thing also that she sitteth upon shall be unclean.(KJV-1611) Lev 15:20 Lè konsa, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li te sèvi pou l' chita.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:21 ============ Lev 15:21 And whosoever toucheth her bed shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:21 Lè yon moun manyen kabann yon fanm konsa, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:22 ============ Lev 15:22 And whosoever toucheth any thing that she sat upon shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:22 Si yon moun manyen yon bagay fanm lan te sèvi pou l' chita, li gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:23 ============ Lev 15:23 And if it be on her bed, or on any thing whereon she sitteth, when he toucheth it, he shall be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:23 Wi, depi se kabann fanm lan osinon yon bagay fanm lan sèvi pou l' chita yon moun manyen, moun sa a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:24 ============ Lev 15:24 And if any man lie with her at all, and her flowers be upon him, he shall be unclean seven days; and all the bed whereon he lieth shall be unclean.(KJV-1611) Lev 15:24 Si yon nonm kouche ak yon fanm ki gen règ li epi li sal ak san, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan sèt jou. Depi li kouche sou yon kabann, moun k'ap sèvi Bondye p'ap ka sèvi ak kabann sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:25 ============ Lev 15:25 And if a woman have an issue of her blood many days out of the time of her separation, or if it run beyond the time of her separation; all the days of the issue of her uncleanness shall be as the days of her separation: she shall be unclean.(KJV-1611) Lev 15:25 Si yon fanm gen règ li pandan plizyè jou lè li pa nan peryòd li, osinon si règ li kontinye koule kèk jou apre peryòd li pase, se va menm jan an tou. Li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye pandan tout jou san an ap koule a, tankou lè l' gen règ li nòmal.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:26 ============ Lev 15:26 Every bed whereon she lieth all the days of her issue shall be unto her as the bed of her separation: and whatsoever she sitteth upon shall be unclean, as the uncleanness of her separation.(KJV-1611) Lev 15:26 Lè sa a, moun k'ap sèvi Bondye pa ka sèvi ni ak kabann kote l' kouche ni ak bagay li sèvi pou l' chita.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:27 ============ Lev 15:27 And whosoever toucheth those things shall be unclean, and shall wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even.(KJV-1611) Lev 15:27 Si yon moun manyen yonn nan bagay sa yo, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, pou l' benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:28 ============ Lev 15:28 But if she be cleansed of her issue, then she shall number to herself seven days, and after that she shall be clean.(KJV-1611) Lev 15:28 Lè san an va sispann koule, fanm lan va tann sèt jou. Se apre sa l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:29 ============ Lev 15:29 And on the eighth day she shall take unto her two turtles, or two young pigeons, and bring them unto the priest, to the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 15:29 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:30 ============ Lev 15:30 And the priest shall offer the one for a sin offering, and the other for a burnt offering; and the priest shall make an atonement for her before the LORD for the issue of her uncleanness.(KJV-1611) Lev 15:30 Prèt la va ofri yonn ladan yo pou wete peche li yo, l'a ofri lòt la pou boule nèt pou Bondye. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou fanm lan, paske règ la te mete l' nan kondisyon li pa t' ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:31 ============ Lev 15:31 Thus shall ye separate the children of Israel from their uncleanness; that they die not in their uncleanness, when they defile my tabernacle that is among them.(KJV-1611) Lev 15:31 Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 15:32 ============ Lev 15:32 This is the law of him that hath an issue, and of him whose seed goeth from him, and is defiled therewith;(KJV-1611) Lev 15:32 Men regleman pou yo swiv lè yon nonm pa ka fè sèvis Bondye paske li gen ekoulman osinon paske li voye sou li,(Creole-HT) ======= Leviticus 15:33 ============ Lev 15:33 And of her that is sick of her flowers, and of him that hath an issue, of the man, and of the woman, and of him that lieth with her that is unclean.(KJV-1611) Lev 15:33 lè yon fanm gen règ li, osinon lè yon nonm kouche ak yon fanm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, wi pou tout moun, fanm kou gason, ki gen ekoulman.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:1 ============ Lev 16:1 And the LORD spake unto Moses after the death of the two sons of Aaron, when they offered before the LORD, and died;(KJV-1611) Lev 16:1 Seyè a pale ak Moyiz apre lanmò de pitit gason Arawon yo ki te mouri lè yo te ofri yon dife ki pa t' bon bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:2 ============ Lev 16:2 And the LORD said unto Moses, Speak unto Aaron thy brother, that he come not at all times into the holy place within the vail before the mercy seat, which is upon the ark; that he die not: for I will appear in the cloud upon the mercy seat.(KJV-1611) Lev 16:2 Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:3 ============ Lev 16:3 Thus shall Aaron come into the holy place: with a young bullock for a sin offering, and a ram for a burnt offering.(KJV-1611) Lev 16:3 Lè l'ap antre nan kote ki apa nèt pou Bondye a, li gen pou l' pote yon jenn ti towo ak yon belye. Ti towo a va sèvi pou mande Bondye padon, epi y'a boule belye a nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:4 ============ Lev 16:4 He shall put on the holy linen coat, and he shall have the linen breeches upon his flesh, and shall be girded with a linen girdle, and with the linen mitre shall he be attired: these are holy garments; therefore shall he wash his flesh in water, and so put them on.(KJV-1611) Lev 16:4 Men ki jan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis pou Bondye. L'a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l' ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L'a lave kò l' nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:5 ============ Lev 16:5 And he shall take of the congregation of the children of Israel two kids of the goats for a sin offering, and one ram for a burnt offering.(KJV-1611) Lev 16:5 Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:6 ============ Lev 16:6 And Aaron shall offer his bullock of the sin offering, which is for himself, and make an atonement for himself, and for his house.(KJV-1611) Lev 16:6 Arawon va ofri ti towo bèf la pou yo touye l' pou wete peche l' yo ak peche fanmi l' yo. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:7 ============ Lev 16:7 And he shall take the two goats, and present them before the LORD at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Lev 16:7 Apre sa, l'a pran de bouk kabrit yo, l'a mennen yo devan pòt Tant Randevou a. L'a prezante yo devan lotèl Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:8 ============ Lev 16:8 And Aaron shall cast lots upon the two goats; one lot for the LORD, and the other lot for the scapegoat.(KJV-1611) Lev 16:8 Apre sa, l'a tire osò ak de ti wòch, yonn make: Pou Seyè a, lòt la: Pou Azazèl.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:9 ============ Lev 16:9 And Aaron shall bring the goat upon which the LORD's lot fell, and offer him for a sin offering.(KJV-1611) Lev 16:9 Arawon va touye bouk kabrit ki soti pou Seyè a, l'a ofri l' pou wete peche.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:10 ============ Lev 16:10 But the goat, on which the lot fell to be the scapegoat, shall be presented alive before the LORD, to make an atonement with him, and to let him go for a scapegoat into the wilderness.(KJV-1611) Lev 16:10 Men, l'a pran bouk kabrit ki soti pou Azazèl la, y'a prezante l' tou vivan devan Seyè a. Apre sa, lè y'a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y'a lage l' nan dezè a pou l al jwenn Azazèl.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:11 ============ Lev 16:11 And Aaron shall bring the bullock of the sin offering, which is for himself, and shall make an atonement for himself, and for his house, and shall kill the bullock of the sin offering which is for himself:(KJV-1611) Lev 16:11 Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l' yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l' yo ansanm ak peche fanmi l' yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:12 ============ Lev 16:12 And he shall take a censer full of burning coals of fire from off the altar before the LORD, and his hands full of sweet incense beaten small, and bring it within the vail:(KJV-1611) Lev 16:12 Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen l' chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l'a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L'a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:13 ============ Lev 16:13 And he shall put the incense upon the fire before the LORD, that the cloud of the incense may cover the mercy seat that is upon the testimony, that he die not:(KJV-1611) Lev 16:13 Rive la, devan lotèl Seyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l', li p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:14 ============ Lev 16:14 And he shall take of the blood of the bullock, and sprinkle it with his finger upon the mercy seat eastward; and before the mercy seat shall he sprinkle of the blood with his finger seven times.(KJV-1611) Lev 16:14 L'a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:15 ============ Lev 16:15 Then shall he kill the goat of the sin offering, that is for the people, and bring his blood within the vail, and do with that blood as he did with the blood of the bullock, and sprinkle it upon the mercy seat, and before the mercy seat:(KJV-1611) Lev 16:15 Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:16 ============ Lev 16:16 And he shall make an atonement for the holy place, because of the uncleanness of the children of Israel, and because of their transgressions in all their sins: and so shall he do for the tabernacle of the congregation, that remaineth among them in the midst of their uncleanness.(KJV-1611) Lev 16:16 Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:17 ============ Lev 16:17 And there shall be no man in the tabernacle of the congregation when he goeth in to make an atonement in the holy place, until he come out, and have made an atonement for himself, and for his household, and for all the congregation of Israel.(KJV-1611) Lev 16:17 Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l' fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:18 ============ Lev 16:18 And he shall go out unto the altar that is before the LORD, and make an atonement for it; and shall take of the blood of the bullock, and of the blood of the goat, and put it upon the horns of the altar round about.(KJV-1611) Lev 16:18 Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:19 ============ Lev 16:19 And he shall sprinkle of the blood upon it with his finger seven times, and cleanse it, and hallow it from the uncleanness of the children of Israel.(KJV-1611) Lev 16:19 Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:20 ============ Lev 16:20 And when he hath made an end of reconciling the holy place, and the tabernacle of the congregation, and the altar, he shall bring the live goat:(KJV-1611) Lev 16:20 Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:21 ============ Lev 16:21 And Aaron shall lay both his hands upon the head of the live goat, and confess over him all the iniquities of the children of Israel, and all their transgressions in all their sins, putting them upon the head of the goat, and shall send him away by the hand of a fit man into the wilderness:(KJV-1611) Lev 16:21 L'a mete tou de men l' yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l' nan dezè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:22 ============ Lev 16:22 And the goat shall bear upon him all their iniquities unto a land not inhabited: and he shall let go the goat in the wilderness.(KJV-1611) Lev 16:22 Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:23 ============ Lev 16:23 And Aaron shall come into the tabernacle of the congregation, and shall put off the linen garments, which he put on when he went into the holy place, and shall leave them there:(KJV-1611) Lev 16:23 Apre sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a kite yo la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:24 ============ Lev 16:24 And he shall wash his flesh with water in the holy place, and put on his garments, and come forth, and offer his burnt offering, and the burnt offering of the people, and make an atonement for himself, and for the people.(KJV-1611) Lev 16:24 L'a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lòt rad sou li. Apre sa, l'a soti, l'a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l' yo ak pou tout peche pèp la. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:25 ============ Lev 16:25 And the fat of the sin offering shall he burn upon the altar.(KJV-1611) Lev 16:25 L'a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:26 ============ Lev 16:26 And he that let go the goat for the scapegoat shall wash his clothes, and bathe his flesh in water, and afterward come into the camp.(KJV-1611) Lev 16:26 Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l' lave tout rad ki sou li, epi pou l' pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:27 ============ Lev 16:27 And the bullock for the sin offering, and the goat for the sin offering, whose blood was brought in to make atonement in the holy place, shall one carry forth without the camp; and they shall burn in the fire their skins, and their flesh, and their dung.(KJV-1611) Lev 16:27 Y'a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:28 ============ Lev 16:28 And he that burneth them shall wash his clothes, and bathe his flesh in water, and afterward he shall come into the camp.(KJV-1611) Lev 16:28 Moun ki te al boule yo a va gen pou l' lave rad li tou, pou l' benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:29 ============ Lev 16:29 And this shall be a statute for ever unto you: that in the seventh month, on the tenth day of the month, ye shall afflict your souls, and do no work at all, whether it be one of your own country, or a stranger that sojourneth among you:(KJV-1611) Lev 16:29 Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:30 ============ Lev 16:30 For on that day shall the priest make an atonement for you, to cleanse you, that ye may be clean from all your sins before the LORD.(KJV-1611) Lev 16:30 Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:31 ============ Lev 16:31 It shall be a sabbath of rest unto you, and ye shall afflict your souls, by a statute for ever.(KJV-1611) Lev 16:31 Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:32 ============ Lev 16:32 And the priest, whom he shall anoint, and whom he shall consecrate to minister in the priest's office in his father's stead, shall make the atonement, and shall put on the linen clothes, even the holy garments:(KJV-1611) Lev 16:32 Se va reskonsablite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Seyè a nan plas papa l' la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:33 ============ Lev 16:33 And he shall make an atonement for the holy sanctuary, and he shall make an atonement for the tabernacle of the congregation, and for the altar, and he shall make an atonement for the priests, and for all the people of the congregation.(KJV-1611) Lev 16:33 L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 16:34 ============ Lev 16:34 And this shall be an everlasting statute unto you, to make an atonement for the children of Israel for all their sins once a year. And he did as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 16:34 Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:1 ============ Lev 17:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 17:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 17:2 ============ Lev 17:2 Speak unto Aaron, and unto his sons, and unto all the children of Israel, and say unto them; This is the thing which the LORD hath commanded, saying,(KJV-1611) Lev 17:2 -Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo epi ak tout moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo: Men bagay Seyè a bay lòd pou nou fè:(Creole-HT) ======= Leviticus 17:3 ============ Lev 17:3 What man soever there be of the house of Israel, that killeth an ox, or lamb, or goat, in the camp, or that killeth it out of the camp,(KJV-1611) Lev 17:3 Si yonn nan moun Izrayèl yo touye yon towo bèf, yon mouton osinon yon kabrit nan kan kote yo rete a, ou ankò lòt bò limit kan an,(Creole-HT) ======= Leviticus 17:4 ============ Lev 17:4 And bringeth it not unto the door of the tabernacle of the congregation, to offer an offering unto the LORD before the tabernacle of the LORD; blood shall be imputed unto that man; he hath shed blood; and that man shall be cut off from among his people:(KJV-1611) Lev 17:4 depi se pa devan pòt Tant Randevou a li touye l' pou l' ofri l' bay Seyè a la devan kay Seyè a, moun sa a koupab, li fè yon krim, li fè san koule. Se pou yo wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:5 ============ Lev 17:5 To the end that the children of Israel may bring their sacrifices, which they offer in the open field, even that they may bring them unto the LORD, unto the door of the tabernacle of the congregation, unto the priest, and offer them for peace offerings unto the LORD.(KJV-1611) Lev 17:5 Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:6 ============ Lev 17:6 And the priest shall sprinkle the blood upon the altar of the LORD at the door of the tabernacle of the congregation, and burn the fat for a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 17:6 Prèt la va pran san an, l'a vide l' sou lotèl la, devan pòt Tant Randevou a. L'a boule grès la pou l' fè yon bon sant ki va fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:7 ============ Lev 17:7 And they shall no more offer their sacrifices unto devils, after whom they have gone a whoring. This shall be a statute for ever unto them throughout their generations.(KJV-1611) Lev 17:7 Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:8 ============ Lev 17:8 And thou shalt say unto them, Whatsoever man there be of the house of Israel, or of the strangers which sojourn among you, that offereth a burnt offering or sacrifice,(KJV-1611) Lev 17:8 Epi w'a di yo ankò: Ankenn moun nan pèp Izrayèl la, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa touye bèt yo ofri ni pou yo boule nèt ni pou lòt kalite sèvis(Creole-HT) ======= Leviticus 17:9 ============ Lev 17:9 And bringeth it not unto the door of the tabernacle of the congregation, to offer it unto the LORD; even that man shall be cut off from among his people.(KJV-1611) Lev 17:9 ankenn lòt kote, si se pa devan pòt Tant Randevou a pou li ofri l' bay Seyè a. Si se pa sa, y'a wete l' nèt nan mitan moun pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:10 ============ Lev 17:10 And whatsoever man there be of the house of Israel, or of the strangers that sojourn among you, that eateth any manner of blood; I will even set my face against that soul that eateth blood, and will cut him off from among his people.(KJV-1611) Lev 17:10 Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:11 ============ Lev 17:11 For the life of the flesh is in the blood: and I have given it to you upon the altar to make an atonement for your souls: for it is the blood that maketh an atonement for the soul.(KJV-1611) Lev 17:11 Nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen mande pou yo vide tout san an sou lotèl la pou li ka wete peche pèp la. Nou bay san an pou nanm nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:12 ============ Lev 17:12 Therefore I said unto the children of Israel, No soul of you shall eat blood, neither shall any stranger that sojourneth among you eat blood.(KJV-1611) Lev 17:12 Se poutèt sa Seyè a te di moun pèp Izrayèl yo: Pesonn nan pèp Izrayèl la, ni ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pa gen dwa manje vyann ki gen san ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:13 ============ Lev 17:13 And whatsoever man there be of the children of Israel, or of the strangers that sojourn among you, which hunteth and catcheth any beast or fowl that may be eaten; he shall even pour out the blood thereof, and cover it with dust.(KJV-1611) Lev 17:13 Lè yon moun nan pèp Izrayèl la osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo al lachas, si li pran yon bèt osinon yon zwazo yo gen dwa manje, l'a vide tout san bèt la atè epi la kouvri l' ak tè.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:14 ============ Lev 17:14 For it is the life of all flesh; the blood of it is for the life thereof: therefore I said unto the children of Israel, Ye shall eat the blood of no manner of flesh: for the life of all flesh is the blood thereof: whosoever eateth it shall be cut off.(KJV-1611) Lev 17:14 Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Seyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gen dwa manje vyann ankenn bèt ak tout san an ladan l'. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l', m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:15 ============ Lev 17:15 And every soul that eateth that which died of itself, or that which was torn with beasts, whether it be one of your own country, or a stranger, he shall both wash his clothes, and bathe himself in water, and be unclean until the even: then shall he be clean.(KJV-1611) Lev 17:15 Mwen pa bezwen konnen si se moun pèp Izrayèl la osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, depi yon moun manje vyann yon bèt mouri osinon vyann bèt yon lòt bèt nan bwa ta touye, l'a gen pou l' lave rad ki sou li, l'a benyen nan gwo dlo, epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. Se aprè sa l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 17:16 ============ Lev 17:16 But if he wash them not, nor bathe his flesh; then he shall bear his iniquity.(KJV-1611) Lev 17:16 Men, si li pa lave rad ki sou li yo, si li pa benyen nèt, l'a peye sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:1 ============ Lev 18:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 18:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 18:2 ============ Lev 18:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 18:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 18:3 ============ Lev 18:3 After the doings of the land of Egypt, wherein ye dwelt, shall ye not do: and after the doings of the land of Canaan, whither I bring you, shall ye not do: neither shall ye walk in their ordinances.(KJV-1611) Lev 18:3 Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:4 ============ Lev 18:4 Ye shall do my judgments, and keep mine ordinances, to walk therein: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 18:4 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:5 ============ Lev 18:5 Ye shall therefore keep my statutes, and my judgments: which if a man do, he shall live in them: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 18:5 Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 18:6 ============ Lev 18:6 None of you shall approach to any that is near of kin to him, to uncover their nakedness: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 18:6 Apre sa, Seyè a bay regleman sa yo: -Piga pesonn kouche yon fanm ki fanmi pre l'. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:7 ============ Lev 18:7 The nakedness of thy father, or the nakedness of thy mother, shalt thou not uncover: she is thy mother; thou shalt not uncover her nakedness.(KJV-1611) Lev 18:7 Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:8 ============ Lev 18:8 The nakedness of thy father's wife shalt thou not uncover: it is thy father's nakedness.(KJV-1611) Lev 18:8 Piga ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:9 ============ Lev 18:9 The nakedness of thy sister, the daughter of thy father, or daughter of thy mother, whether she be born at home, or born abroad, even their nakedness thou shalt not uncover.(KJV-1611) Lev 18:9 Piga ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:10 ============ Lev 18:10 The nakedness of thy son's daughter, or of thy daughter's daughter, even their nakedness thou shalt not uncover: for theirs is thine own nakedness.(KJV-1611) Lev 18:10 Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:11 ============ Lev 18:11 The nakedness of thy father's wife's daughter, begotten of thy father, she is thy sister, thou shalt not uncover her nakedness.(KJV-1611) Lev 18:11 Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l' tankou pwòp sè ou.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:12 ============ Lev 18:12 Thou shalt not uncover the nakedness of thy father's sister: she is thy father's near kinswoman.(KJV-1611) Lev 18:12 Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa,(Creole-HT) ======= Leviticus 18:13 ============ Lev 18:13 Thou shalt not uncover the nakedness of thy mother's sister: for she is thy mother's near kinswoman.(KJV-1611) Lev 18:13 kit se bò manman.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:14 ============ Lev 18:14 Thou shalt not uncover the nakedness of thy father's brother, thou shalt not approach to his wife: she is thine aunt.(KJV-1611) Lev 18:14 Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l' tankou matant ou.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:15 ============ Lev 18:15 Thou shalt not uncover the nakedness of thy daughter in law: she is thy son's wife; thou shalt not uncover her nakedness.(KJV-1611) Lev 18:15 Piga ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:16 ============ Lev 18:16 Thou shalt not uncover the nakedness of thy brother's wife: it is thy brother's nakedness.(KJV-1611) Lev 18:16 Piga ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:17 ============ Lev 18:17 Thou shalt not uncover the nakedness of a woman and her daughter, neither shalt thou take her son's daughter, or her daughter's daughter, to uncover her nakedness; for they are her near kinswomen: it is wickedness.(KJV-1611) Lev 18:17 Piga ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont!(Creole-HT) ======= Leviticus 18:18 ============ Lev 18:18 Neither shalt thou take a wife to her sister, to vex her, to uncover her nakedness, beside the other in her life time.(KJV-1611) Lev 18:18 Piga ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:19 ============ Lev 18:19 Also thou shalt not approach unto a woman to uncover her nakedness, as long as she is put apart for her uncleanness.(KJV-1611) Lev 18:19 Piga ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:20 ============ Lev 18:20 Moreover thou shalt not lie carnally with thy neighbour's wife, to defile thyself with her.(KJV-1611) Lev 18:20 Piga ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:21 ============ Lev 18:21 And thou shalt not let any of thy seed pass through the fire to Molech, neither shalt thou profane the name of thy God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 18:21 Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:22 ============ Lev 18:22 Thou shalt not lie with mankind, as with womankind: it is abomination.(KJV-1611) Lev 18:22 Piga yon gason kouche yon lòt gason tankou yo kouche yon fanm: Se bagay Bondye pi pa vle wè.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:23 ============ Lev 18:23 Neither shalt thou lie with any beast to defile thyself therewith: neither shall any woman stand before a beast to lie down thereto: it is confusion.(KJV-1611) Lev 18:23 Ni fanm ni gason pa gen dwa kwaze ak zannimo. Se bagay k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay sal nèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:24 ============ Lev 18:24 Defile not ye yourselves in any of these things: for in all these the nations are defiled which I cast out before you:(KJV-1611) Lev 18:24 Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:25 ============ Lev 18:25 And the land is defiled: therefore I do visit the iniquity thereof upon it, and the land itself vomiteth out her inhabitants.(KJV-1611) Lev 18:25 Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:26 ============ Lev 18:26 Ye shall therefore keep my statutes and my judgments, and shall not commit any of these abominations; neither any of your own nation, nor any stranger that sojourneth among you:(KJV-1611) Lev 18:26 Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pesonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè ankenn nan bagay mwen pa vle wè yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:27 ============ Lev 18:27 (For all these abominations have the men of the land done, which were before you, and the land is defiled;)(KJV-1611) Lev 18:27 Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:28 ============ Lev 18:28 That the land spue not you out also, when ye defile it, as it spued out the nations that were before you.(KJV-1611) Lev 18:28 Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l' pou pèp ki te la anvan nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:29 ============ Lev 18:29 For whosoever shall commit any of these abominations, even the souls that commit them shall be cut off from among their people.(KJV-1611) Lev 18:29 Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 18:30 ============ Lev 18:30 Therefore shall ye keep mine ordinance, that ye commit not any one of these abominable customs, which were committed before you, and that ye defile not yourselves therein: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 18:30 Epi Seyè a di: -Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:1 ============ Lev 19:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 19:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 19:2 ============ Lev 19:2 Speak unto all the congregation of the children of Israel, and say unto them, Ye shall be holy: for I the LORD your God am holy.(KJV-1611) Lev 19:2 -Pale ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:3 ============ Lev 19:3 Ye shall fear every man his mother, and his father, and keep my sabbaths: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:3 Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:4 ============ Lev 19:4 Turn ye not unto idols, nor make to yourselves molten gods: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:4 Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:5 ============ Lev 19:5 And if ye offer a sacrifice of peace offerings unto the LORD, ye shall offer it at your own will.(KJV-1611) Lev 19:5 Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Seyè a mèsi, se pou nou fè l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:6 ============ Lev 19:6 It shall be eaten the same day ye offer it, and on the morrow: and if ought remain until the third day, it shall be burnt in the fire.(KJV-1611) Lev 19:6 Se pou nou manje vyann bèt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyèm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:7 ============ Lev 19:7 And if it be eaten at all on the third day, it is abominable; it shall not be accepted.(KJV-1611) Lev 19:7 Paske si nou manje l' sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:8 ============ Lev 19:8 Therefore every one that eateth it shall bear his iniquity, because he hath profaned the hallowed thing of the LORD: and that soul shall be cut off from among his people.(KJV-1611) Lev 19:8 Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fè a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:9 ============ Lev 19:9 And when ye reap the harvest of your land, thou shalt not wholly reap the corners of thy field, neither shalt thou gather the gleanings of thy harvest.(KJV-1611) Lev 19:9 Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:10 ============ Lev 19:10 And thou shalt not glean thy vineyard, neither shalt thou gather every grape of thy vineyard; thou shalt leave them for the poor and stranger: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:10 Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:11 ============ Lev 19:11 Ye shall not steal, neither deal falsely, neither lie one to another.(KJV-1611) Lev 19:11 Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:12 ============ Lev 19:12 And ye shall not swear by my name falsely, neither shalt thou profane the name of thy God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:12 Piga nou pran non m' pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:13 ============ Lev 19:13 Thou shalt not defraud thy neighbour, neither rob him: the wages of him that is hired shall not abide with thee all night until the morning.(KJV-1611) Lev 19:13 Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:14 ============ Lev 19:14 Thou shalt not curse the deaf, nor put a stumblingblock before the blind, but shalt fear thy God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:14 Piga ou madichonnen moun soud. Piga ou mete ankenn bagay sou chemen moun avèg pou fè yo tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:15 ============ Lev 19:15 Ye shall do no unrighteousness in judgment: thou shalt not respect the person of the poor, nor honor the person of the mighty: but in righteousness shalt thou judge thy neighbour.(KJV-1611) Lev 19:15 Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:16 ============ Lev 19:16 Thou shalt not go up and down as a talebearer among thy people: neither shalt thou stand against the blood of thy neighbour; I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:16 Pa mache bay manti sou moun menm ras avèk nou. Piga nou kanpe pou fè yo touye san rezon yon moun menm ras avèk nou. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:17 ============ Lev 19:17 Thou shalt not hate thy brother in thine heart: thou shalt in any wise rebuke thy neighbour, and not suffer sin upon him.(KJV-1611) Lev 19:17 Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:18 ============ Lev 19:18 Thou shalt not avenge, nor bear any grudge against the children of thy people, but thou shalt love thy neighbour as thyself: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:18 Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:19 ============ Lev 19:19 Ye shall keep my statutes. Thou shalt not let thy cattle gender with a diverse kind: thou shalt not sow thy field with mingled seed: neither shall a garment mingled of linen and woollen come upon thee.(KJV-1611) Lev 19:19 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:20 ============ Lev 19:20 And whosoever lieth carnally with a woman, that is a bondmaid, betrothed to an husband, and not at all redeemed, nor freedom given her; she shall be scourged; they shall not be put to death, because she was not free.(KJV-1611) Lev 19:20 Lè yon moun te gen tan pwomèt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lòt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libète l', si li kouche fi a, se pou yo peni yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:21 ============ Lev 19:21 And he shall bring his trespass offering unto the LORD, unto the door of the tabernacle of the congregation, even a ram for a trespass offering.(KJV-1611) Lev 19:21 Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l' bay Seyè a pou peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:22 ============ Lev 19:22 And the priest shall make an atonement for him with the ram of the trespass offering before the LORD for his sin which he hath done: and the sin which he hath done shall be forgiven him.(KJV-1611) Lev 19:22 Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l' mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l' sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:23 ============ Lev 19:23 And when ye shall come into the land, and shall have planted all manner of trees for food, then ye shall count the fruit thereof as uncircumcised: three years shall it be as uncircumcised unto you: it shall not be eaten of.(KJV-1611) Lev 19:23 Le n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:24 ============ Lev 19:24 But in the fourth year all the fruit thereof shall be holy to praise the LORD withal.(KJV-1611) Lev 19:24 Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyè a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:25 ============ Lev 19:25 And in the fifth year shall ye eat of the fruit thereof, that it may yield unto you the increase thereof: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:25 Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:26 ============ Lev 19:26 Ye shall not eat any thing with the blood: neither shall ye use enchantment, nor observe times.(KJV-1611) Lev 19:26 Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:27 ============ Lev 19:27 Ye shall not round the corners of your heads, neither shalt thou mar the corners of thy beard.(KJV-1611) Lev 19:27 Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou,(Creole-HT) ======= Leviticus 19:28 ============ Lev 19:28 Ye shall not make any cuttings in your flesh for the dead, nor print any marks upon you: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:28 piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:29 ============ Lev 19:29 Do not prostitute thy daughter, to cause her to be a whore; lest the land fall to whoredom, and the land become full of wickedness.(KJV-1611) Lev 19:29 Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:30 ============ Lev 19:30 Ye shall keep my sabbaths, and reverence my sanctuary: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:30 Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:31 ============ Lev 19:31 Regard not them that have familiar spirits, neither seek after wizards, to be defiled by them: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:31 Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:32 ============ Lev 19:32 Thou shalt rise up before the hoary head, and honour the face of the old man, and fear thy God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:32 Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:33 ============ Lev 19:33 And if a stranger sojourn with thee in your land, ye shall not vex him.(KJV-1611) Lev 19:33 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:34 ============ Lev 19:34 But the stranger that dwelleth with you shall be unto you as one born among you, and thou shalt love him as thyself; for ye were strangers in the land of Egypt: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 19:34 Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:35 ============ Lev 19:35 Ye shall do no unrighteousness in judgment, in meteyard, in weight, or in measure.(KJV-1611) Lev 19:35 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.(Creole-HT) ======= Leviticus 19:36 ============ Lev 19:36 Just balances, just weights, a just ephah, and a just hin, shall ye have: I am the LORD your God, which brought you out of the land of Egypt.(KJV-1611) Lev 19:36 N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!(Creole-HT) ======= Leviticus 19:37 ============ Lev 19:37 Therefore shall ye observe all my statutes, and all my judgments, and do them: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 19:37 Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 20:1 ============ Lev 20:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 20:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 20:2 ============ Lev 20:2 Again, thou shalt say to the children of Israel, Whosoever he be of the children of Israel, or of the strangers that sojourn in Israel, that giveth any of his seed unto Molech; he shall surely be put to death: the people of the land shall stone him with stones.(KJV-1611) Lev 20:2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:3 ============ Lev 20:3 And I will set my face against that man, and will cut him off from among his people; because he hath given of his seed unto Molech, to defile my sanctuary, and to profane my holy name.(KJV-1611) Lev 20:3 Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:4 ============ Lev 20:4 And if the people of the land do any ways hide their eyes from the man, when he giveth of his seed unto Molech, and kill him not:(KJV-1611) Lev 20:4 Men, si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l',(Creole-HT) ======= Leviticus 20:5 ============ Lev 20:5 Then I will set my face against that man, and against his family, and will cut him off, and all that go a whoring after him, to commit whoredom with Molech, from among their people.(KJV-1611) Lev 20:5 se mwen menm ki p'ap okipe l' ankò, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sèvi Molòk.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:6 ============ Lev 20:6 And the soul that turneth after such as have familiar spirits, and after wizards, to go a whoring after them, I will even set my face against that soul, and will cut him off from among his people.(KJV-1611) Lev 20:6 Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:7 ============ Lev 20:7 Sanctify yourselves therefore, and be ye holy: for I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 20:7 Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:8 ============ Lev 20:8 And ye shall keep my statutes, and do them: I am the LORD which sanctify you.(KJV-1611) Lev 20:8 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Seyè a, se mwen menm k'ap fè nou sèvi m' nan tou sa n'ap fè!(Creole-HT) ======= Leviticus 20:9 ============ Lev 20:9 For every one that curseth his father or his mother shall be surely put to death: he hath cursed his father or his mother; his blood shall be upon him.(KJV-1611) Lev 20:9 Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:10 ============ Lev 20:10 And the man that committeth adultery with another man's wife, even he that committeth adultery with his neighbour's wife, the adulterer and the adulteress shall surely be put to death.(KJV-1611) Lev 20:10 Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:11 ============ Lev 20:11 And the man that lieth with his father's wife hath uncovered his father's nakedness: both of them shall surely be put to death; their blood shall be upon them.(KJV-1611) Lev 20:11 Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:12 ============ Lev 20:12 And if a man lie with his daughter in law, both of them shall surely be put to death: they have wrought confusion; their blood shall be upon them.(KJV-1611) Lev 20:12 Depi yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:13 ============ Lev 20:13 If a man also lie with mankind, as he lieth with a woman, both of them have committed an abomination: they shall surely be put to death; their blood shall be upon them.(KJV-1611) Lev 20:13 Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fè l' ak yon fanm, sa yo fè la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:14 ============ Lev 20:14 And if a man take a wife and her mother, it is wickedness: they shall be burnt with fire, both he and they; that there be no wickedness among you.(KJV-1611) Lev 20:14 Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:15 ============ Lev 20:15 And if a man lie with a beast, he shall surely be put to death: and ye shall slay the beast.(KJV-1611) Lev 20:15 Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:16 ============ Lev 20:16 And if a woman approach unto any beast, and lie down thereto, thou shalt kill the woman, and the beast: they shall surely be put to death; their blood shall be upon them.(KJV-1611) Lev 20:16 Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:17 ============ Lev 20:17 And if a man shall take his sister, his father's daughter, or his mother's daughter, and see her nakedness, and she see his nakedness; it is a wicked thing; and they shall be cut off in the sight of their people: he hath uncovered his sister's nakedness; he shall bear his iniquity.(KJV-1611) Lev 20:17 Si yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l' osinon pitit fi papa l', si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:18 ============ Lev 20:18 And if a man shall lie with a woman having her sickness, and shall uncover her nakedness; he hath discovered her fountain, and she hath uncovered the fountain of her blood: and both of them shall be cut off from among their people.(KJV-1611) Lev 20:18 Si yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:19 ============ Lev 20:19 And thou shalt not uncover the nakedness of thy mother's sister, nor of thy father's sister: for he uncovereth his near kin: they shall bear their iniquity.(KJV-1611) Lev 20:19 Si yon nonm kouche matant li, matant bò papa l' osinon matant bò manman l', li kouche pwòp fanmi l'. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:20 ============ Lev 20:20 And if a man shall lie with his uncle's wife, he hath uncovered his uncle's nakedness: they shall bear their sin; they shall die childless.(KJV-1611) Lev 20:20 Si yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y'a mouri san fè pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:21 ============ Lev 20:21 And if a man shall take his brother's wife, it is an unclean thing: he hath uncovered his brother's nakedness; they shall be childless.(KJV-1611) Lev 20:21 Si yon nonm marye ak madanm frè li, sa l' fè a se yon bagay k'ap mete l' nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:22 ============ Lev 20:22 Ye shall therefore keep all my statutes, and all my judgments, and do them: that the land, whither I bring you to dwell therein, spue you not out.(KJV-1611) Lev 20:22 Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:23 ============ Lev 20:23 And ye shall not walk in the manners of the nation, which I cast out before you: for they committed all these things, and therefore I abhorred them.(KJV-1611) Lev 20:23 Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:24 ============ Lev 20:24 But I have said unto you, Ye shall inherit their land, and I will give it unto you to possess it, a land that floweth with milk and honey: I am the LORD your God, which have separated you from other people.(KJV-1611) Lev 20:24 Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:25 ============ Lev 20:25 Ye shall therefore put difference between clean beasts and unclean, and between unclean fowls and clean: and ye shall not make your souls abominable by beast, or by fowl, or by any manner of living thing that creepeth on the ground, which I have separated from you as unclean.(KJV-1611) Lev 20:25 Se konsa, koulye a, piga nou mele zannimo nou gen dwa manje ak zannimo nou pa gen dwa manje, zwazo nou gen dwa manje ak zwazo nou pa gen dwa manje. Pa kite ankenn zannimo ni ankenn zwazo nou pa gen dwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:26 ============ Lev 20:26 And ye shall be holy unto me: for I the LORD am holy, and have severed you from other people, that ye should be mine.(KJV-1611) Lev 20:26 Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 20:27 ============ Lev 20:27 A man also or woman that hath a familiar spirit, or that is a wizard, shall surely be put to death: they shall stone them with stones: their blood shall be upon them.(KJV-1611) Lev 20:27 Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:1 ============ Lev 21:1 And the LORD said unto Moses, Speak unto the priests the sons of Aaron, and say unto them, There shall none be defiled for the dead among his people:(KJV-1611) Lev 21:1 Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,(Creole-HT) ======= Leviticus 21:2 ============ Lev 21:2 But for his kin, that is near unto him, that is, for his mother, and for his father, and for his son, and for his daughter, and for his brother.(KJV-1611) Lev 21:2 esepte pou fanmi pre anpil tankou manman, papa, pitit fi, pitit gason, frè.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:3 ============ Lev 21:3 And for his sister a virgin, that is nigh unto him, which hath had no husband; for her may he be defiled.(KJV-1611) Lev 21:3 Pou yon sè, si sè a poko fè zafè, li gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:4 ============ Lev 21:4 But he shall not defile himself, being a chief man among his people, to profane himself.(KJV-1611) Lev 21:4 Yon prèt pa gen dwa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye lè se yon sè li ki deja marye ki mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:5 ============ Lev 21:5 They shall not make baldness upon their head, neither shall they shave off the corner of their beard, nor make any cuttings in their flesh.(KJV-1611) Lev 21:5 Prèt yo pa gen dwa kale ankenn pati nan tèt yo, ni yo pa gen dwa taye pwent bab yo, ni yo pa gen dwa make kò yo avèk kouto, pou fè wè yo gen moun mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:6 ============ Lev 21:6 They shall be holy unto their God, and not profane the name of their God: for the offerings of the LORD made by fire, and the bread of their God, they do offer: therefore they shall be holy.(KJV-1611) Lev 21:6 Se pou yo viv apa nèt pou Bondye yo. Yo pa dwe derespekte non mwen. Paske se yo menm k'ap mete nan dife ofrann yo fè pou Seyè a, se manje Bondye y'ap ofri. Se pou yo toujou rete apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:7 ============ Lev 21:7 They shall not take a wife that is a whore, or profane; neither shall they take a woman put away from her husband: for he is holy unto his God.(KJV-1611) Lev 21:7 Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:8 ============ Lev 21:8 Thou shalt sanctify him therefore; for he offereth the bread of thy God: he shall be holy unto thee: for I the LORD, which sanctify you, am holy.(KJV-1611) Lev 21:8 Tout moun dwe konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye, paske se yo menm k'ap fè ofrann pou Bondye nou an. Mwen menm Seyè a, mwen yon Bondye apa. Se mwen k'ap fè nou viv apa pou mwen. Wi, se pou nou konsidere prèt yo tankou moun yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:9 ============ Lev 21:9 And the daughter of any priest, if she profane herself by playing the whore, she profaneth her father: she shall be burnt with fire.(KJV-1611) Lev 21:9 Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:10 ============ Lev 21:10 And he that is the high priest among his brethren, upon whose head the anointing oil was poured, and that is consecrated to put on the garments, shall not uncover his head, nor rend his clothes;(KJV-1611) Lev 21:10 Granprèt la, se chèf li ye nan mitan tout prèt yo. Se moun yo te vide lwil sou tèt li a, moun yo te mete apa pou mete rad prèt la sou li a. Li pa fèt ni pou kite tèt li san penyen, ni pou l' chire rad sou li lè li gen moun mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:11 ============ Lev 21:11 Neither shall he go in to any dead body, nor defile himself for his father, or for his mother;(KJV-1611) Lev 21:11 Yo mete kouwòn mwen sou tèt li, yo vide lwil sou tèt li pou mete l' apa pou mwen. Li pa fèt pou l' fè bagay ki pou mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye, pou l' derespekte kay yo mete apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:12 ============ Lev 21:12 Neither shall he go out of the sanctuary, nor profane the sanctuary of his God; for the crown of the anointing oil of his God is upon him: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 21:12 Li pa fèt pou l' kite kay Bondye a pou l' al antre nan yon kay kote gen kadav moun mouri, menm si se papa l' osinon manman l' ki mouri a. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 21:13 ============ Lev 21:13 And he shall take a wife in her virginity.(KJV-1611) Lev 21:13 Granprèt la va marye ak yon jenn fi ki tifi.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:14 ============ Lev 21:14 A widow, or a divorced woman, or profane, or an harlot, these shall he not take: but he shall take a virgin of his own people to wife.(KJV-1611) Lev 21:14 Li p'ap pran pou madanm yon fanm vèv, ni yon fanm divòse, ni yon fanm ki konn gason deja, osinon yon fanm ki t'ap fè jennès. Se sèlman yon jenn fi ki soti nan menm branch fanmi avè l' pou li pran pou madanm.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:15 ============ Lev 21:15 Neither shall he profane his seed among his people: for I the LORD do sanctify him.(KJV-1611) Lev 21:15 Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:16 ============ Lev 21:16 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 21:16 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 21:17 ============ Lev 21:17 Speak unto Aaron, saying, Whosoever he be of thy seed in their generations that hath any blemish, let him not approach to offer the bread of his God.(KJV-1611) Lev 21:17 -Pale ak Arawon, w'a di li: Si gen yon moun nan fanmi ou ki gen yon enfimite, li p'ap janm ka pwoche pou l' fè ofrann manje pou Bondye li. Regleman sa a ou fèt pou swiv li tout tan de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:18 ============ Lev 21:18 For whatsoever man he be that hath a blemish, he shall not approach: a blind man, or a lame, or he that hath a flat nose, or any thing superfluous,(KJV-1611) Lev 21:18 Ankenn gason enfim pa gen dwa prezante ofrann bay Bondye, kit li avèg, kit li bwete, kit li domaje nan figi, kit li difòm,(Creole-HT) ======= Leviticus 21:19 ============ Lev 21:19 Or a man that is brokenfooted, or brokenhanded,(KJV-1611) Lev 21:19 kit li enfim nan men osinon nan pye,(Creole-HT) ======= Leviticus 21:20 ============ Lev 21:20 Or crookbackt, or a dwarf, or that hath a blemish in his eye, or be scurvy, or scabbed, or hath his stones broken;(KJV-1611) Lev 21:20 kit li gen boul nan do, kit li rachitik, kit li malad nan je, kit li gen maladi po, kit grenn li kraze.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:21 ============ Lev 21:21 No man that hath a blemish of the seed of Aaron the priest shall come nigh to offer the offerings of the LORD made by fire: he hath a blemish; he shall not come nigh to offer the bread of his God.(KJV-1611) Lev 21:21 Depi yon gason nan ras prèt Arawon an enfim yon kote nan kò li, li p'ap ka pwoche pou fè ofrann pou boule nan dife pou Seyè a. Wi, si li gen yon enfimite, li p'ap ka pwoche devan Bondye pou fè ofrann pou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:22 ============ Lev 21:22 He shall eat the bread of his God, both of the most holy, and of the holy.(KJV-1611) Lev 21:22 Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m' lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:23 ============ Lev 21:23 Only he shall not go in unto the vail, nor come nigh unto the altar, because he hath a blemish; that he profane not my sanctuaries: for I the LORD do sanctify them.(KJV-1611) Lev 21:23 Men, li pa gen dwa pwoche bò rido a ni vin bò lotèl la paske li enfim nan kò l'. Li pa fèt pou derespekte bagay ki apa pou mwen yo paske se mwen menm Seyè a ki mete yo apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 21:24 ============ Lev 21:24 And Moses told it unto Aaron, and to his sons, and unto all the children of Israel.(KJV-1611) Lev 21:24 Se konsa, Moyiz pale ak Arawon, ak pitit gason l' yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, li di yo tou sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:1 ============ Lev 22:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 22:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di li:(Creole-HT) ======= Leviticus 22:2 ============ Lev 22:2 Speak unto Aaron and to his sons, that they separate themselves from the holy things of the children of Israel, and that they profane not my holy name in those things which they hallow unto me: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:2 -Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:3 ============ Lev 22:3 Say unto them, Whosoever he be of all your seed among your generations, that goeth unto the holy things, which the children of Israel hallow unto the LORD, having his uncleanness upon him, that soul shall be cut off from my presence: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:3 W'a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l' parèt devan m' ankò! Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:4 ============ Lev 22:4 What man soever of the seed of Aaron is a leper, or hath a running issue; he shall not eat of the holy things, until he be clean. And whoso toucheth any thing that is unclean by the dead, or a man whose seed goeth from him;(KJV-1611) Lev 22:4 Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:5 ============ Lev 22:5 Or whosoever toucheth any creeping thing, whereby he may be made unclean, or a man of whom he may take uncleanness, whatsoever uncleanness he hath;(KJV-1611) Lev 22:5 Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k'ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l', prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:6 ============ Lev 22:6 The soul which hath touched any such shall be unclean until even, and shall not eat of the holy things, unless he wash his flesh with water.(KJV-1611) Lev 22:6 L'a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:7 ============ Lev 22:7 And when the sun is down, he shall be clean, and shall afterward eat of the holy things; because it is his food.(KJV-1611) Lev 22:7 Apre solèy kouche, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Se lè sa a l'a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:8 ============ Lev 22:8 That which dieth of itself, or is torn with beasts, he shall not eat to defile himself therewith; I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:8 Li pa gen dwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l' nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 22:9 ============ Lev 22:9 They shall therefore keep mine ordinance, lest they bear sin for it, and die therefore, if they profane it: I the LORD do sanctify them.(KJV-1611) Lev 22:9 Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y'a koupab, epi y'ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:10 ============ Lev 22:10 There shall no stranger eat of the holy thing: a sojourner of the priest, or an hired servant, shall not eat of the holy thing.(KJV-1611) Lev 22:10 Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:11 ============ Lev 22:11 But if the priest buy any soul with his money, he shall eat of it, and he that is born in his house: they shall eat of his meat.(KJV-1611) Lev 22:11 Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l', kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:12 ============ Lev 22:12 If the priest's daughter also be married unto a stranger, she may not eat of an offering of the holy things.(KJV-1611) Lev 22:12 Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:13 ============ Lev 22:13 But if the priest's daughter be a widow, or divorced, and have no child, and is returned unto her father's house, as in her youth, she shall eat of her father's meat: but there shall be no stranger eat thereof.(KJV-1611) Lev 22:13 Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l' sou kont papa l', l'a ka manje nan manje papa l'. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:14 ============ Lev 22:14 And if a man eat of the holy thing unwittingly, then he shall put the fifth part thereof unto it, and shall give it unto the priest with the holy thing.(KJV-1611) Lev 22:14 Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l' renmèt sa l' manje a plis ven pou san valè bagay la.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:15 ============ Lev 22:15 And they shall not profane the holy things of the children of Israel, which they offer unto the LORD;(KJV-1611) Lev 22:15 Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:16 ============ Lev 22:16 Or suffer them to bear the iniquity of trespass, when they eat their holy things: for I the LORD do sanctify them.(KJV-1611) Lev 22:16 Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l'ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:17 ============ Lev 22:17 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 22:17 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 22:18 ============ Lev 22:18 Speak unto Aaron, and to his sons, and unto all the children of Israel, and say unto them, Whatsoever he be of the house of Israel, or of the strangers in Israel, that will offer his oblation for all his vows, and for all his freewill offerings, which they will offer unto the LORD for a burnt offering;(KJV-1611) Lev 22:18 -Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,(Creole-HT) ======= Leviticus 22:19 ============ Lev 22:19 Ye shall offer at your own will a male without blemish, of the beeves, of the sheep, or of the goats.(KJV-1611) Lev 22:19 se pou l' chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m' asepte ofrann lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:20 ============ Lev 22:20 But whatsoever hath a blemish, that shall ye not offer: for it shall not be acceptable for you.(KJV-1611) Lev 22:20 Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p'ap asepte l' nan men nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:21 ============ Lev 22:21 And whosoever offereth a sacrifice of peace offerings unto the LORD to accomplish his vow, or a freewill offering in beeves or sheep, it shall be perfect to be accepted; there shall be no blemish therein.(KJV-1611) Lev 22:21 Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:22 ============ Lev 22:22 Blind, or broken, or maimed, or having a wen, or scurvy, or scabbed, ye shall not offer these unto the LORD, nor make an offering by fire of them upon the altar unto the LORD.(KJV-1611) Lev 22:22 Piga nou janm ofri bay Seyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen malenng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:23 ============ Lev 22:23 Either a bullock or a lamb that hath any thing superfluous or lacking in his parts, that mayest thou offer for a freewill offering; but for a vow it shall not be accepted.(KJV-1611) Lev 22:23 Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n'ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p'ap asepte l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:24 ============ Lev 22:24 Ye shall not offer unto the LORD that which is bruised, or crushed, or broken, or cut; neither shall ye make any offering thereof in your land.(KJV-1611) Lev 22:24 Pa ofri bay Seyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bèt konsa nan peyi nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:25 ============ Lev 22:25 Neither from a stranger's hand shall ye offer the bread of your God of any of these; because their corruption is in them, and blemishes be in them: they shall not be accepted for you.(KJV-1611) Lev 22:25 Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n' ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p'ap asepte yo nan men nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:26 ============ Lev 22:26 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 22:26 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 22:27 ============ Lev 22:27 When a bullock, or a sheep, or a goat, is brought forth, then it shall be seven days under the dam; and from the eighth day and thenceforth it shall be accepted for an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 22:27 -Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l' dèyè manman l' pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l' pou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:28 ============ Lev 22:28 And whether it be cow, or ewe, ye shall not kill it and her young both in one day.(KJV-1611) Lev 22:28 Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:29 ============ Lev 22:29 And when ye will offer a sacrifice of thanksgiving unto the LORD, offer it at your own will.(KJV-1611) Lev 22:29 Lè n'ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:30 ============ Lev 22:30 On the same day it shall be eaten up; ye shall leave none of it until the morrow: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:30 Se pou nou manje l' menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 22:31 ============ Lev 22:31 Therefore shall ye keep my commandments, and do them: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:31 Se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 22:32 ============ Lev 22:32 Neither shall ye profane my holy name; but I will be hallowed among the children of Israel: I am the LORD which hallow you,(KJV-1611) Lev 22:32 Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m'. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 22:33 ============ Lev 22:33 That brought you out of the land of Egypt, to be your God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 22:33 Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 23:1 ============ Lev 23:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 23:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 23:2 ============ Lev 23:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, Concerning the feasts of the LORD, which ye shall proclaim to be holy convocations, even these are my feasts.(KJV-1611) Lev 23:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Men jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men lè pou nou fè fèt pou mwen.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:3 ============ Lev 23:3 Six days shall work be done: but the seventh day is the sabbath of rest, an holy convocation; ye shall do no work therein: it is the sabbath of the LORD in all your dwellings.(KJV-1611) Lev 23:3 Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:4 ============ Lev 23:4 These are the feasts of the LORD, even holy convocations, which ye shall proclaim in their seasons.(KJV-1611) Lev 23:4 Men jou pou nou fè fèt pou Seyè a, jou pou nou mande pèp la pou li reyini pou fè fèt pou Seyè a. Men dat pou nou reyini pèp la pou fèt yo:(Creole-HT) ======= Leviticus 23:5 ============ Lev 23:5 In the fourteenth day of the first month at even is the LORD's passover.(KJV-1611) Lev 23:5 N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:6 ============ Lev 23:6 And on the fifteenth day of the same month is the feast of unleavened bread unto the LORD: seven days ye must eat unleavened bread.(KJV-1611) Lev 23:6 Sou kenzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse fèt pen san ledven yo. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:7 ============ Lev 23:7 In the first day ye shall have an holy convocation: ye shall do no servile work therein.(KJV-1611) Lev 23:7 Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:8 ============ Lev 23:8 But ye shall offer an offering made by fire unto the LORD seven days: in the seventh day is an holy convocation: ye shall do no servile work therein.(KJV-1611) Lev 23:8 Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:9 ============ Lev 23:9 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 23:9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 23:10 ============ Lev 23:10 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye be come into the land which I give unto you, and shall reap the harvest thereof, then ye shall bring a sheaf of the firstfruits of your harvest unto the priest:(KJV-1611) Lev 23:10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l' bay prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:11 ============ Lev 23:11 And he shall wave the sheaf before the LORD, to be accepted for you: on the morrow after the sabbath the priest shall wave it.(KJV-1611) Lev 23:11 Prèt la va balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal, pou Seyè a ka asepte resevwa nou. Prèt la va fè ofrann lan jou ki vini apre jou repo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:12 ============ Lev 23:12 And ye shall offer that day when ye wave the sheaf an he lamb without blemish of the first year for a burnt offering unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:12 Jou n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen ankenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l' nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:13 ============ Lev 23:13 And the meat offering thereof shall be two tenth deals of fine flour mingled with oil, an offering made by fire unto the LORD for a sweet savour: and the drink offering thereof shall be of wine, the fourth part of an hin.(KJV-1611) Lev 23:13 N'a ofri ansanm avè l' tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Seyè a. Bon sant ofrann lan va fè Seyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:14 ============ Lev 23:14 And ye shall eat neither bread, nor parched corn, nor green ears, until the selfsame day that ye have brought an offering unto your God: it shall be a statute for ever throughout your generations in all your dwellings.(KJV-1611) Lev 23:14 Piga nou pran nan grenn nou fèk rekòlte yo ni pou nou manje kri, ni pou nou griye, ni pou nou fè pen, toutotan nou pa pote ofrann premye grenn yo bay Seyè a. Se va yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:15 ============ Lev 23:15 And ye shall count unto you from the morrow after the sabbath, from the day that ye brought the sheaf of the wave offering; seven sabbaths shall be complete:(KJV-1611) Lev 23:15 N'a konte sèt semèn antye, depi jou nou te pote premye makout rekòt la ofri bay Seyè a, apre jou repo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:16 ============ Lev 23:16 Even unto the morrow after the seventh sabbath shall ye number fifty days; and ye shall offer a new meat offering unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:16 Wi, n'a konte senkant jou. Sa va mennen nou sou jou ki vini apre setyèm jou repo a. N'a fè yon lòt ofrann grenn jaden bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:17 ============ Lev 23:17 Ye shall bring out of your habitations two wave loaves of two tenth deals; they shall be of fine flour; they shall be baken with leaven; they are the firstfruits unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:17 Chak fanmi va soti lakay yo ak de gwo pen pou yo ofri bay Seyè a. Chak pen va fèt ak de liv farin kwit ak ledven. Y'a ofri yo bay Seyè a tankou ofrann premye grenn yo rekòlte.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:18 ============ Lev 23:18 And ye shall offer with the bread seven lambs without blemish of the first year, and one young bullock, and two rams: they shall be for a burnt offering unto the LORD, with their meat offering, and their drink offerings, even an offering made by fire, of sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:18 Ansanm ak pen yo, pèp la va ofri sèt ti mouton ki poko gen ennan, yon jenn ti towo bèf ak de belye. Fòk tout bèt sa yo pa gen ankenn enfimite. Y'a boule yo nèt nan dife pou Seyè a, ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann diven an. Bon sant ofrann sa a va fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:19 ============ Lev 23:19 Then ye shall sacrifice one kid of the goats for a sin offering, and two lambs of the first year for a sacrifice of peace offerings.(KJV-1611) Lev 23:19 N'a touye tou yon bouk ki va sèvi ofrann pou peye pou tou sa nou fè ki mal, ak de ti mouton ki poko gen ennan ki va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:20 ============ Lev 23:20 And the priest shall wave them with the bread of the firstfruits for a wave offering before the LORD, with the two lambs: they shall be holy to the LORD for the priest.(KJV-1611) Lev 23:20 Prèt la va balanse pen yo ansanm ak de ti mouton yo tankou yon ofrann espesyal devan Seyè a. Ofrann sa yo se bagay ki apa nèt pou Seyè a. Se pou prèt yo yo ye.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:21 ============ Lev 23:21 And ye shall proclaim on the selfsame day, that it may be an holy convocation unto you: ye shall do no servile work therein: it shall be a statute for ever in all your dwellings throughout your generations.(KJV-1611) Lev 23:21 Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l' adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:22 ============ Lev 23:22 And when ye reap the harvest of your land, thou shalt not make clean riddance of the corners of thy field when thou reapest, neither shalt thou gather any gleaning of thy harvest: thou shalt leave them unto the poor, and to the stranger: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 23:22 Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 23:23 ============ Lev 23:23 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 23:23 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 23:24 ============ Lev 23:24 Speak unto the children of Israel, saying, In the seventh month, in the first day of the month, shall ye have a sabbath, a memorial of blowing of trumpets, an holy convocation.(KJV-1611) Lev 23:24 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:25 ============ Lev 23:25 Ye shall do no servile work therein: but ye shall offer an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:25 Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:26 ============ Lev 23:26 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 23:26 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Leviticus 23:27 ============ Lev 23:27 Also on the tenth day of this seventh month there shall be a day of atonement: it shall be an holy convocation unto you; and ye shall afflict your souls, and offer an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:27 -Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:28 ============ Lev 23:28 And ye shall do no work in that same day: for it is a day of atonement, to make an atonement for you before the LORD your God.(KJV-1611) Lev 23:28 Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:29 ============ Lev 23:29 For whatsoever soul it be that shall not be afflicted in that same day, he shall be cut off from among his people.(KJV-1611) Lev 23:29 Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:30 ============ Lev 23:30 And whatsoever soul it be that doeth any work in that same day, the same soul will I destroy from among his people.(KJV-1611) Lev 23:30 Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Seyè a, k'ap touye l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:31 ============ Lev 23:31 Ye shall do no manner of work: it shall be a statute for ever throughout your generations in all your dwellings.(KJV-1611) Lev 23:31 Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:32 ============ Lev 23:32 It shall be unto you a sabbath of rest, and ye shall afflict your souls: in the ninth day of the month at even, from even unto even, shall ye celebrate your sabbath.(KJV-1611) Lev 23:32 Se va yon gwo jou repo, jou nou p'ap fè ankenn travay. Depi lè solèy kouche nan nevyèm jou mwa a jouk lè li kouche ankò dizyèm jou a, n'a rete san manje.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:33 ============ Lev 23:33 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 23:33 Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Leviticus 23:34 ============ Lev 23:34 Speak unto the children of Israel, saying, The fifteenth day of this seventh month shall be the feast of tabernacles for seven days unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:34 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:35 ============ Lev 23:35 On the first day shall be an holy convocation: ye shall do no servile work therein.(KJV-1611) Lev 23:35 Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:36 ============ Lev 23:36 Seven days ye shall offer an offering made by fire unto the LORD: on the eighth day shall be an holy convocation unto you; and ye shall offer an offering made by fire unto the LORD: it is a solemn assembly; and ye shall do no servile work therein.(KJV-1611) Lev 23:36 Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:37 ============ Lev 23:37 These are the feasts of the LORD, which ye shall proclaim to be holy convocations, to offer an offering made by fire unto the LORD, a burnt offering, and a meat offering, a sacrifice, and drink offerings, every thing upon his day:(KJV-1611) Lev 23:37 Men fèt pou nou fete pou Seyè a. Men jou n'a reyini tout moun pou yo fè sèvis pou Bondye. Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a, se ka bèt pou nou boule nèt, se ka ofrann grenn jaden, se ka bèt pou nou touye, se ka ofrann diven. Chak jou fèt gen ofrann pa li.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:38 ============ Lev 23:38 Beside the sabbaths of the LORD, and beside your gifts, and beside all your vows, and beside all your freewill offerings, which ye give unto the LORD.(KJV-1611) Lev 23:38 Apa tout jou repo Seyè yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Seyè a paske nou te vle fè l', n'a fè ofrann sa yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:39 ============ Lev 23:39 Also in the fifteenth day of the seventh month, when ye have gathered in the fruit of the land, ye shall keep a feast unto the LORD seven days: on the first day shall be a sabbath, and on the eighth day shall be a sabbath.(KJV-1611) Lev 23:39 Sou kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a fè fèt pou Seyè a pandan sèt jou, apre n'a fin rekòlte jaden nou yo. Premye jou a ak wityèm jou a va de gwo jou repo.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:40 ============ Lev 23:40 And ye shall take you on the first day the boughs of goodly trees, branches of palm trees, and the boughs of thick trees, and willows of the brook; and ye shall rejoice before the LORD your God seven days.(KJV-1611) Lev 23:40 Premye jou a, n'a keyi pi bon fwi nan pye sitwon nou yo, n'a koupe fèy nan pye dat nou yo ak branch nan pye jasmen ak pye sikren, n'a fè kè nou kontan devan Seyè a, Bondye nou an, pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:41 ============ Lev 23:41 And ye shall keep it a feast unto the LORD seven days in the year. It shall be a statute for ever in your generations: ye shall celebrate it in the seventh month.(KJV-1611) Lev 23:41 Chak lanne, pandan sèt jou nan setyèm mwa a, n'a fete fèt sa a pou mwen menm, Seyè a, Bondye nou an. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:42 ============ Lev 23:42 Ye shall dwell in booths seven days; all that are Israelites born shall dwell in booths:(KJV-1611) Lev 23:42 Pandan sèt jou tout moun pèp Izrayèl yo va rete anba joupa. Wi, n'a rete anba joupa pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Leviticus 23:43 ============ Lev 23:43 That your generations may know that I made the children of Israel to dwell in booths, when I brought them out of the land of Egypt: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 23:43 Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Seyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Leviticus 23:44 ============ Lev 23:44 And Moses declared unto the children of Israel the feasts of the LORD.(KJV-1611) Lev 23:44 Se konsa Moyiz te bay moun pèp Izrayèl yo tout kalite fèt pou yo fete pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:1 ============ Lev 24:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 24:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 24:2 ============ Lev 24:2 Command the children of Israel, that they bring unto thee pure oil olive beaten for the light, to cause the lamps to burn continually.(KJV-1611) Lev 24:2 -Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:3 ============ Lev 24:3 Without the vail of the testimony, in the tabernacle of the congregation, shall Aaron order it from the evening unto the morning before the LORD continually: it shall be a statute for ever in your generations.(KJV-1611) Lev 24:3 Chak aswè, Arawon va limen yo, l'a veye pou yo toujou rete limen jouk denmen maten devan Seyè a, sou deyò rido ki devan Bwat Kontra a nan Tant Randevou a. Sa se yon regleman pou yo kenbe pou tout tan, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:4 ============ Lev 24:4 He shall order the lamps upon the pure candlestick before the LORD continually.(KJV-1611) Lev 24:4 Arawon va pran swen tout ti lanp ki sou gwo lanp sèt branch an lò a. L'a veye pou yo toujou rete limen devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:5 ============ Lev 24:5 And thou shalt take fine flour, and bake twelve cakes thereof: two tenth deals shall be in one cake.(KJV-1611) Lev 24:5 W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:6 ============ Lev 24:6 And thou shalt set them in two rows, six on a row, upon the pure table before the LORD.(KJV-1611) Lev 24:6 W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Seyè a, sis pen nan chak ran.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:7 ============ Lev 24:7 And thou shalt put pure frankincense upon each row, that it may be on the bread for a memorial, even an offering made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Lev 24:7 Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan dife bay Seyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:8 ============ Lev 24:8 Every sabbath he shall set it in order before the LORD continually, being taken from the children of Israel by an everlasting covenant.(KJV-1611) Lev 24:8 Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Seyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:9 ============ Lev 24:9 And it shall be Aaron's and his sons'; and they shall eat it in the holy place: for it is most holy unto him of the offerings of the LORD made by fire by a perpetual statute.(KJV-1611) Lev 24:9 Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:10 ============ Lev 24:10 And the son of an Israelitish woman, whose father was an Egyptian, went out among the children of Israel: and this son of the Israelitish woman and a man of Israel strove together in the camp;(KJV-1611) Lev 24:10 Vwala te gen yon nonm, manman l' te moun pèp Izrayèl, men papa l' te moun peyi Lejip. Msye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:11 ============ Lev 24:11 And the Israelitish woman's son blasphemed the name of the Lord, and cursed. And they brought him unto Moses: (and his mother's name was Shelomith, the daughter of Dibri, of the tribe of Dan:)(KJV-1611) Lev 24:11 Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:12 ============ Lev 24:12 And they put him in ward, that the mind of the LORD might be shewed them.(KJV-1611) Lev 24:12 Yo mete msye yon kote ak moun pou veye l', pandan Moyiz menm t'ap tann Seyè a vin di l' sa pou l' fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:13 ============ Lev 24:13 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 24:13 Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 24:14 ============ Lev 24:14 Bring forth him that hath cursed without the camp; and let all that heard him lay their hands upon his head, and let all the congregation stone him.(KJV-1611) Lev 24:14 -Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:15 ============ Lev 24:15 And thou shalt speak unto the children of Israel, saying, Whosoever curseth his God shall bear his sin.(KJV-1611) Lev 24:15 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:16 ============ Lev 24:16 And he that blasphemeth the name of the LORD, he shall surely be put to death, and all the congregation shall certainly stone him: as well the stranger, as he that is born in the land, when he blasphemeth the name of the Lord, shall be put to death.(KJV-1611) Lev 24:16 Se pou yo touye l'. Wi, si yon moun peyi a osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou derespekte Bondye, se pou yo touye l'. Tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:17 ============ Lev 24:17 And he that killeth any man shall surely be put to death.(KJV-1611) Lev 24:17 Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l' tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:18 ============ Lev 24:18 And he that killeth a beast shall make it good; beast for beast.(KJV-1611) Lev 24:18 Si yon moun touye yon bèt ki pa pou li, se pou l' renmèt li. Prensip la vle kou pou kou, lavi pou lavi.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:19 ============ Lev 24:19 And if a man cause a blemish in his neighbour; as he hath done, so shall it be done to him;(KJV-1611) Lev 24:19 Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:20 ============ Lev 24:20 Breach for breach, eye for eye, tooth for tooth: as he hath caused a blemish in a man, so shall it be done to him again.(KJV-1611) Lev 24:20 Si ou kase yon zo nan kò l', y'a kase yon zo nan kò pa ou tou. Si ou pete yon grenn je l', y'a pete yon grenn je pa ou tou. Si ou kase yon dan nan bouch li, y'a kase yon dan nan bouch pa ou tou. Sa ou fè lòt la, se sa y'a fè ou tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:21 ============ Lev 24:21 And he that killeth a beast, he shall restore it: and he that killeth a man, he shall be put to death.(KJV-1611) Lev 24:21 Si ou touye yon bèt ki pa pou ou, se pou ou renmèt li. Men, si se yon moun ou touye, y'ap touye ou tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:22 ============ Lev 24:22 Ye shall have one manner of law, as well for the stranger, as for one of your own country: for I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 24:22 Menm jijman sa a va pou tout moun k'ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 24:23 ============ Lev 24:23 And Moses spake to the children of Israel, that they should bring forth him that had cursed out of the camp, and stone him with stones. And the children of Israel did as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Lev 24:23 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo, epi yo pran nonm ki te nonmen non Bondye a mal la, yo mennen l' andeyò lòt bò limit kote tout moun rete a, epi yo kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:1 ============ Lev 25:1 And the LORD spake unto Moses in mount Sinai, saying,(KJV-1611) Lev 25:1 Seyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 25:2 ============ Lev 25:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land which I give you, then shall the land keep a sabbath unto the LORD.(KJV-1611) Lev 25:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:3 ============ Lev 25:3 Six years thou shalt sow thy field, and six years thou shalt prune thy vineyard, and gather in the fruit thereof;(KJV-1611) Lev 25:3 Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:4 ============ Lev 25:4 But in the seventh year shall be a sabbath of rest unto the land, a sabbath for the LORD: thou shalt neither sow thy field, nor prune thy vineyard.(KJV-1611) Lev 25:4 Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:5 ============ Lev 25:5 That which groweth of its own accord of thy harvest thou shalt not reap, neither gather the grapes of thy vine undressed: for it is a year of rest unto the land.(KJV-1611) Lev 25:5 Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:6 ============ Lev 25:6 And the sabbath of the land shall be meat for you; for thee, and for thy servant, and for thy maid, and for thy hired servant, and for thy stranger that sojourneth with thee.(KJV-1611) Lev 25:6 Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:7 ============ Lev 25:7 And for thy cattle, and for the beast that are in thy land, shall all the increase thereof be meat.(KJV-1611) Lev 25:7 Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:8 ============ Lev 25:8 And thou shalt number seven sabbaths of years unto thee, seven times seven years; and the space of the seven sabbaths of years shall be unto thee forty and nine years.(KJV-1611) Lev 25:8 N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:9 ============ Lev 25:9 Then shalt thou cause the trumpet of the jubile to sound on the tenth day of the seventh month, in the day of atonement shall ye make the trumpet sound throughout all your land.(KJV-1611) Lev 25:9 Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:10 ============ Lev 25:10 And ye shall hallow the fiftieth year, and proclaim liberty throughout all the land unto all the inhabitants thereof: it shall be a jubile unto you; and ye shall return every man unto his possession, and ye shall return every man unto his family.(KJV-1611) Lev 25:10 N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:11 ============ Lev 25:11 A jubile shall that fiftieth year be unto you: ye shall not sow, neither reap that which groweth of itself in it, nor gather the grapes in it of thy vine undressed.(KJV-1611) Lev 25:11 Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:12 ============ Lev 25:12 For it is the jubile; it shall be holy unto you: ye shall eat the increase thereof out of the field.(KJV-1611) Lev 25:12 Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Seyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pa t' plante yo bay.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:13 ============ Lev 25:13 In the year of this jubile ye shall return every man unto his possession.(KJV-1611) Lev 25:13 Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:14 ============ Lev 25:14 And if thou sell ought unto thy neighbour, or buyest ought of thy neighbour's hand, ye shall not oppress one another:(KJV-1611) Lev 25:14 Konsa, si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l', piga nou fè koutay yonn sou do lòt.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:15 ============ Lev 25:15 According to the number of years after the jubile thou shalt buy of thy neighbour, and according unto the number of years of the fruits he shall sell unto thee:(KJV-1611) Lev 25:15 Lè n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:16 ============ Lev 25:16 According to the multitude of years thou shalt increase the price thereof, and according to the fewness of years thou shalt diminish the price of it: for according to the number of the years of the fruits doth he sell unto thee.(KJV-1611) Lev 25:16 Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n'ap vann osinon n'ap achte.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:17 ============ Lev 25:17 Ye shall not therefore oppress one another; but thou shalt fear thy God: for I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 25:17 Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:18 ============ Lev 25:18 Wherefore ye shall do my statutes, and keep my judgments, and do them; and ye shall dwell in the land in safety.(KJV-1611) Lev 25:18 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m' yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:19 ============ Lev 25:19 And the land shall yield her fruit, and ye shall eat your fill, and dwell therein in safety.(KJV-1611) Lev 25:19 Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:20 ============ Lev 25:20 And if ye shall say, What shall we eat the seventh year? behold, we shall not sow, nor gather in our increase:(KJV-1611) Lev 25:20 Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:21 ============ Lev 25:21 Then I will command my blessing upon you in the sixth year, and it shall bring forth fruit for three years.(KJV-1611) Lev 25:21 Mwen menm, Seyè a, m'a voye benediksyon m' sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l' ka donnen rekòt kantite pou twazan.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:22 ============ Lev 25:22 And ye shall sow the eighth year, and eat yet of old fruit until the ninth year; until her fruits come in ye shall eat of the old store.(KJV-1611) Lev 25:22 Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n' ranmase rekòt wityèm lanne sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:23 ============ Lev 25:23 The land shall not be sold for ever: for the land is mine, for ye are strangers and sojourners with me.(KJV-1611) Lev 25:23 Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:24 ============ Lev 25:24 And in all the land of your possession ye shall grant a redemption for the land.(KJV-1611) Lev 25:24 Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l' reachte tè a ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:25 ============ Lev 25:25 If thy brother be waxen poor, and hath sold away some of his possession, and if any of his kin come to redeem it, then shall he redeem that which his brother sold.(KJV-1611) Lev 25:25 Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l' la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:26 ============ Lev 25:26 And if the man have none to redeem it, and himself be able to redeem it;(KJV-1611) Lev 25:26 Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l' vin bon ankò, l'a reachte tè a lè l'a gen kont lajan pou sa.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:27 ============ Lev 25:27 Then let him count the years of the sale thereof, and restore the overplus unto the man to whom he sold it; that he may return unto his possession.(KJV-1611) Lev 25:27 L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l' lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:28 ============ Lev 25:28 But if he be not able to restore it to him, then that which is sold shall remain in the hand of him that hath bought it until the year of jubile: and in the jubile it shall go out, and he shall return unto his possession.(KJV-1611) Lev 25:28 Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l' la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:29 ============ Lev 25:29 And if a man sell a dwelling house in a walled city, then he may redeem it within a whole year after it is sold; within a full year may he redeem it.(KJV-1611) Lev 25:29 Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne delè, depi dat li te vann kay la, pou l' reachte l' ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:30 ============ Lev 25:30 And if it be not redeemed within the space of a full year, then the house that is in the walled city shall be established for ever to him that bought it throughout his generations: it shall not go out in the jubile.(KJV-1611) Lev 25:30 Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l' la ak pou pitit pitit li yo. Yo p'ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:31 ============ Lev 25:31 But the houses of the villages which have no wall round about them shall be counted as the fields of the country: they may be redeemed, and they shall go out in the jubile.(KJV-1611) Lev 25:31 Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y'ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gen dwa reachte l' ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:32 ============ Lev 25:32 Notwithstanding the cities of the Levites, and the houses of the cities of their possession, may the Levites redeem at any time.(KJV-1611) Lev 25:32 Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:33 ============ Lev 25:33 And if a man purchase of the Levites, then the house that was sold, and the city of his possession, shall go out in the year of jubile: for the houses of the cities of the Levites are their possession among the children of Israel.(KJV-1611) Lev 25:33 Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l', se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:34 ============ Lev 25:34 But the field of the suburbs of their cities may not be sold; for it is their perpetual possession.(KJV-1611) Lev 25:34 Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gen dwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:35 ============ Lev 25:35 And if thy brother be waxen poor, and fallen in decay with thee; then thou shalt relieve him: yea, though he be a stranger, or a sojourner; that he may live with thee.(KJV-1611) Lev 25:35 Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:36 ============ Lev 25:36 Take thou no usury of him, or increase: but fear thy God; that thy brother may live with thee.(KJV-1611) Lev 25:36 Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:37 ============ Lev 25:37 Thou shalt not give him thy money upon usury, nor lend him thy victuals for increase.(KJV-1611) Lev 25:37 Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:38 ============ Lev 25:38 I am the LORD your God, which brought you forth out of the land of Egypt, to give you the land of Canaan, and to be your God.(KJV-1611) Lev 25:38 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m' te ka Bondye nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:39 ============ Lev 25:39 And if thy brother that dwelleth by thee be waxen poor, and be sold unto thee; thou shalt not compel him to serve as a bondservant:(KJV-1611) Lev 25:39 Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:40 ============ Lev 25:40 But as an hired servant, and as a sojourner, he shall be with thee, and shall serve thee unto the year of jubile.(KJV-1611) Lev 25:40 L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:41 ============ Lev 25:41 And then shall he depart from thee, both he and his children with him, and shall return unto his own family, and unto the possession of his fathers shall he return.(KJV-1611) Lev 25:41 Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:42 ============ Lev 25:42 For they are my servants, which I brought forth out of the land of Egypt: they shall not be sold as bondmen.(KJV-1611) Lev 25:42 Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:43 ============ Lev 25:43 Thou shalt not rule over him with rigour; but shalt fear thy God.(KJV-1611) Lev 25:43 Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:44 ============ Lev 25:44 Both thy bondmen, and thy bondmaids, which thou shalt have, shall be of the heathen that are round about you; of them shall ye buy bondmen and bondmaids.(KJV-1611) Lev 25:44 Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:45 ============ Lev 25:45 Moreover of the children of the strangers that do sojourn among you, of them shall ye buy, and of their families that are with you, which they begat in your land: and they shall be your possession.(KJV-1611) Lev 25:45 Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:46 ============ Lev 25:46 And ye shall take them as an inheritance for your children after you, to inherit them for a possession; they shall be your bondmen for ever: but over your brethren the children of Israel, ye shall not rule one over another with rigour.(KJV-1611) Lev 25:46 N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:47 ============ Lev 25:47 And if a sojourner or stranger wax rich by thee, and thy brother that dwelleth by him wax poor, and sell himself unto the stranger or sojourner by thee, or to the stock of the stranger's family:(KJV-1611) Lev 25:47 Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:48 ============ Lev 25:48 After that he is sold he may be redeemed again; one of his brethren may redeem him:(KJV-1611) Lev 25:48 Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l' pou ba li libète l'. Se bagay yonn nan frè li yo,(Creole-HT) ======= Leviticus 25:49 ============ Lev 25:49 Either his uncle, or his uncle's son, may redeem him, or any that is nigh of kin unto him of his family may redeem him; or if he be able, he may redeem himself.(KJV-1611) Lev 25:49 osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:50 ============ Lev 25:50 And he shall reckon with him that bought him from the year that he was sold to him unto the year of jubile: and the price of his sale shall be according unto the number of years, according to the time of an hired servant shall it be with him.(KJV-1611) Lev 25:50 Dakò ak moun ki te achte l' la, se pou l' konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l' bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:51 ============ Lev 25:51 If there be yet many years behind, according unto them he shall give again the price of his redemption out of the money that he was bought for.(KJV-1611) Lev 25:51 Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l' konnen valè lajan pou l' renmèt pou l' ka reachte tèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:52 ============ Lev 25:52 And if there remain but few years unto the year of jubile, then he shall count with him, and according unto his years shall he give him again the price of his redemption.(KJV-1611) Lev 25:52 Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l' ka reachte tèt li.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:53 ============ Lev 25:53 And as a yearly hired servant shall he be with him: and the other shall not rule with rigour over him in thy sight.(KJV-1611) Lev 25:53 Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:54 ============ Lev 25:54 And if he be not redeemed in these years, then he shall go out in the year of jubile, both he, and his children with him.(KJV-1611) Lev 25:54 Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l' yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 25:55 ============ Lev 25:55 For unto me the children of Israel are servants; they are my servants whom I brought forth out of the land of Egypt: I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 25:55 Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m' moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:1 ============ Lev 26:1 Ye shall make you no idols nor graven image, neither rear you up a standing image, neither shall ye set up any image of stone in your land, to bow down unto it: for I am the LORD your God.(KJV-1611) Lev 26:1 Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:2 ============ Lev 26:2 Ye shall keep my sabbaths, and reverence my sanctuary: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 26:2 Se pou nou fete tout fèt mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 26:3 ============ Lev 26:3 If ye walk in my statutes, and keep my commandments, and do them;(KJV-1611) Lev 26:3 Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m' yo, si nou swiv yo,(Creole-HT) ======= Leviticus 26:4 ============ Lev 26:4 Then I will give you rain in due season, and the land shall yield her increase, and the trees of the field shall yield their fruit.(KJV-1611) Lev 26:4 lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa, tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:5 ============ Lev 26:5 And your threshing shall reach unto the vintage, and the vintage shall reach unto the sowing time: and ye shall eat your bread to the full, and dwell in your land safely.(KJV-1611) Lev 26:5 Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:6 ============ Lev 26:6 And I will give peace in the land, and ye shall lie down, and none shall make you afraid: and I will rid evil beasts out of the land, neither shall the sword go through your land.(KJV-1611) Lev 26:6 M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:7 ============ Lev 26:7 And ye shall chase your enemies, and they shall fall before you by the sword.(KJV-1611) Lev 26:7 N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:8 ============ Lev 26:8 And five of you shall chase an hundred, and an hundred of you shall put ten thousand to flight: and your enemies shall fall before you by the sword.(KJV-1611) Lev 26:8 Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:9 ============ Lev 26:9 For I will have respect unto you, and make you fruitful, and multiply you, and establish my covenant with you.(KJV-1611) Lev 26:9 M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:10 ============ Lev 26:10 And ye shall eat old store, and bring forth the old because of the new.(KJV-1611) Lev 26:10 N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a setoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:11 ============ Lev 26:11 And I set my tabernacle among you: and my soul shall not abhor you.(KJV-1611) Lev 26:11 M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:12 ============ Lev 26:12 And I will walk among you, and will be your God, and ye shall be my people.(KJV-1611) Lev 26:12 M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:13 ============ Lev 26:13 I am the LORD your God, which brought you forth out of the land of Egypt, that ye should not be their bondmen; and I have broken the bands of your yoke, and made you go upright.(KJV-1611) Lev 26:13 Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou nou pa t' rete esklav moun sa yo ankò. Mwen kase gwo kòd lwijanboje ki t'ap jouke nou an, mwen fè nou mache tèt anlè.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:14 ============ Lev 26:14 But if ye will not hearken unto me, and will not do all these commandments;(KJV-1611) Lev 26:14 Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:15 ============ Lev 26:15 And if ye shall despise my statutes, or if your soul abhor my judgments, so that ye will not do all my commandments, but that ye break my covenant:(KJV-1611) Lev 26:15 Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an,(Creole-HT) ======= Leviticus 26:16 ============ Lev 26:16 I also will do this unto you; I will even appoint over you terror, consumption, and the burning ague, that shall consume the eyes, and cause sorrow of heart: and ye shall sow your seed in vain, for your enemies shall eat it.(KJV-1611) Lev 26:16 men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:17 ============ Lev 26:17 And I will set my face against you, and ye shall be slain before your enemies: they that hate you shall reign over you; and ye shall flee when none pursueth you.(KJV-1611) Lev 26:17 M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:18 ============ Lev 26:18 And if ye will not yet for all this hearken unto me, then I will punish you seven times more for your sins.(KJV-1611) Lev 26:18 Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:19 ============ Lev 26:19 And I will break the pride of your power; and I will make your heaven as iron, and your earth as brass:(KJV-1611) Lev 26:19 Pouvwa nou genyen an epi k'ap fè nou gonfle konsa a, m'ap kraze l' nèt. Pa yon ti degout lapli p'ap tonbe sot nan syel la, tè a ap vin di kou wòch.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:20 ============ Lev 26:20 And your strength shall be spent in vain: for your land shall not yield her increase, neither shall the trees of the land yield their fruits.(KJV-1611) Lev 26:20 N'a kraze kouraj nou travay di, men sa p'ap sèvi nou anyen: tè jaden nou yo p'ap bay anyen ankò, pyebwa yo p'ap donnen menm.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:21 ============ Lev 26:21 And if ye walk contrary unto me, and will not hearken unto me; I will bring seven times more plagues upon you according to your sins.(KJV-1611) Lev 26:21 Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:22 ============ Lev 26:22 I will also send wild beasts among you, which shall rob you of your children, and destroy your cattle, and make you few in number; and your high ways shall be desolate.(KJV-1611) Lev 26:22 M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:23 ============ Lev 26:23 And if ye will not be reformed by me by these things, but will walk contrary unto me;(KJV-1611) Lev 26:23 Si apre tout malè sa yo nou pa korije toujou, n'ap kenbe tèt avè m' toujou,(Creole-HT) ======= Leviticus 26:24 ============ Lev 26:24 Then will I also walk contrary unto you, and will punish you yet seven times for your sins.(KJV-1611) Lev 26:24 mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:25 ============ Lev 26:25 And I will bring a sword upon you, that shall avenge the quarrel of my covenant: and when ye are gathered together within your cities, I will send the pestilence among you; and ye shall be delivered into the hand of the enemy.(KJV-1611) Lev 26:25 M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:26 ============ Lev 26:26 And when I have broken the staff of your bread, ten women shall bake your bread in one oven, and they shall deliver you your bread again by weight: and ye shall eat, and not be satisfied.(KJV-1611) Lev 26:26 M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:27 ============ Lev 26:27 And if ye will not for all this hearken unto me, but walk contrary unto me;(KJV-1611) Lev 26:27 Epi, si apre tou sa toujou, nou pa koute m', n'ap kenbe tèt avè m' toujou,(Creole-HT) ======= Leviticus 26:28 ============ Lev 26:28 Then I will walk contrary unto you also in fury; and I, even I, will chastise you seven times for your sins.(KJV-1611) Lev 26:28 lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:29 ============ Lev 26:29 And ye shall eat the flesh of your sons, and the flesh of your daughters shall ye eat.(KJV-1611) Lev 26:29 N'a sitèlman grangou n'a touye pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi nou yo, n'a manje vyann yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:30 ============ Lev 26:30 And I will destroy your high places, and cut down your images, and cast your carcases upon the carcases of your idols, and my soul shall abhor you.(KJV-1611) Lev 26:30 M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:31 ============ Lev 26:31 And I will make your cities waste, and bring your sanctuaries unto desolation, and I will not smell the savour of your sweet odours.(KJV-1611) Lev 26:31 M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:32 ============ Lev 26:32 And I will bring the land into desolation: and your enemies which dwell therein shall be astonished at it.(KJV-1611) Lev 26:32 Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:33 ============ Lev 26:33 And I will scatter you among the heathen, and will draw out a sword after you: and your land shall be desolate, and your cities waste.(KJV-1611) Lev 26:33 M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:34 ============ Lev 26:34 Then shall the land enjoy her sabbaths, as long as it lieth desolate, and ye be in your enemies' land; even then shall the land rest, and enjoy her sabbaths.(KJV-1611) Lev 26:34 Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:35 ============ Lev 26:35 As long as it lieth desolate it shall rest; because it did not rest in your sabbaths, when ye dwelt upon it.(KJV-1611) Lev 26:35 Pandan tout tan tè a va rete san travay la, l'a jwi tout lanne repo nou pa t' ba li yo lè nou te rete sou li a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:36 ============ Lev 26:36 And upon them that are left alive of you I will send a faintness into their hearts in the lands of their enemies; and the sound of a shaken leaf shall chase them; and they shall flee, as fleeing from a sword; and they shall fall when none pursueth.(KJV-1611) Lev 26:36 Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:37 ============ Lev 26:37 And they shall fall one upon another, as it were before a sword, when none pursueth: and ye shall have no power to stand before your enemies.(KJV-1611) Lev 26:37 Y'ap tonbe yonn sou lòt tankou nan lagè san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lènmi yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:38 ============ Lev 26:38 And ye shall perish among the heathen, and the land of your enemies shall eat you up.(KJV-1611) Lev 26:38 N'a mouri nan peyi kote yo te depòte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wè nou yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:39 ============ Lev 26:39 And they that are left of you shall pine away in their iniquity in your enemies' lands; and also in the iniquities of their fathers shall they pine away with them.(KJV-1611) Lev 26:39 Moun ki rete nan sa yo te depòte yo va depafini nan peyi lènmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansèt yo ak pou pwòp peche pa yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:40 ============ Lev 26:40 If they shall confess their iniquity, and the iniquity of their fathers, with their trespass which they trespassed against me, and that also they have walked contrary unto me;(KJV-1611) Lev 26:40 Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:41 ============ Lev 26:41 And that I also have walked contrary unto them, and have brought them into the land of their enemies; if then their uncircumcised hearts be humbled, and they then accept of the punishment of their iniquity:(KJV-1611) Lev 26:41 Se poutèt sa mwen menm tou, mwen te kenbe tèt ak yo, mwen te mennen yo prizonye nan peyi lènmi yo. Lè sa a, moun ki te gen lògèy plen kè yo va soumèt devan m', y'a peye pou sa yo te fè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:42 ============ Lev 26:42 Then will I remember my covenant with Jacob, and also my covenant with Isaac, and also my covenant with Abraham will I remember; and I will remember the land.(KJV-1611) Lev 26:42 Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avèk Jakòb, avèk Izarak epi avèk Abraram. Wi, m'a chonje pwomès mwen te fè yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:43 ============ Lev 26:43 The land also shall be left of them, and shall enjoy her sabbaths, while she lieth desolate without them: and they shall accept of the punishment of their iniquity: because, even because they despised my judgments, and because their soul abhorred my statutes.(KJV-1611) Lev 26:43 Men, yo gen pou yo pati byen lwen, pou yo kite peyi a san moun pou tè a ka pran repo li. Wi, y'a peye pou sa yo te fè a, paske yo pa t' swiv prensip mwen te ba yo, paske yo te voye kòmandman m' yo jete.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:44 ============ Lev 26:44 And yet for all that, when they be in the land of their enemies, I will not cast them away, neither will I abhor them, to destroy them utterly, and to break my covenant with them: for I am the LORD their God.(KJV-1611) Lev 26:44 Men, menm lè sa a, antan yo la toujou nan peyi lènmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m' ta fini ak yo nèt. Mwen p'ap kase kontra m' pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Leviticus 26:45 ============ Lev 26:45 But I will for their sakes remember the covenant of their ancestors, whom I brought forth out of the land of Egypt in the sight of the heathen, that I might be their God: I am the LORD.(KJV-1611) Lev 26:45 Men, m'a fè pa yo, m'a chonje kontra mwen te pase avèk zansèt yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip devan je moun lòt nasyon yo pou m' te ka Bondye yo. Se mwen menm ki Seyè a!(Creole-HT) ======= Leviticus 26:46 ============ Lev 26:46 These are the statutes and judgments and laws, which the LORD made between him and the children of Israel in mount Sinai by the hand of Moses.(KJV-1611) Lev 26:46 Men tout prensip, tout lòd ak tout kòmandman Seyè a te bay Moyiz lòd mete nan kontra li te siyen ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:1 ============ Lev 27:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Lev 27:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Leviticus 27:2 ============ Lev 27:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When a man shall make a singular vow, the persons shall be for the LORD by thy estimation.(KJV-1611) Lev 27:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:3 ============ Lev 27:3 And thy estimation shall be of the male from twenty years old even unto sixty years old, even thy estimation shall be fifty shekels of silver, after the shekel of the sanctuary.(KJV-1611) Lev 27:3 Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:4 ============ Lev 27:4 And if it be a female, then thy estimation shall be thirty shekels.(KJV-1611) Lev 27:4 Pou yon fanm menm laj la, se va trant pyès ajan(Creole-HT) ======= Leviticus 27:5 ============ Lev 27:5 And if it be from five years old even unto twenty years old, then thy estimation shall be of the male twenty shekels, and for the female ten shekels.(KJV-1611) Lev 27:5 Pou yon jenn gason ki gen ant senkan al ventan, se va vin pyès ajan. Pou yon jenn fi ki gen menm laj la, se va dis pyès ajan.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:6 ============ Lev 27:6 And if it be from a month old even unto five years old, then thy estimation shall be of the male five shekels of silver, and for the female thy estimation shall be three shekels of silver.(KJV-1611) Lev 27:6 Pou yon timoun ki gen ant yon mwa al senkan, si se yon gason se va senk pyès ajan. Pou yon ti fi menm laj la, se va twa pyès ajan(Creole-HT) ======= Leviticus 27:7 ============ Lev 27:7 And if it be from sixty years old and above; if it be a male, then thy estimation shall be fifteen shekels, and for the female ten shekels.(KJV-1611) Lev 27:7 Pou yon gason ki depase swasantan, se va kenz pyès ajan. Pou yon fanm menm laj la, se va dis pyès ajan.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:8 ============ Lev 27:8 But if he be poorer than thy estimation, then he shall present himself before the priest, and the priest shall value him; according to his ability that vowed shall the priest value him.(KJV-1611) Lev 27:8 Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:9 ============ Lev 27:9 And if it be a beast, whereof men bring an offering unto the LORD, all that any man giveth of such unto the LORD shall be holy.(KJV-1611) Lev 27:9 Si se yon bèt yon moun pran angajman pou l' ofri bay Seyè a, nenpòt kisa l'a bay Seyè a va rete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:10 ============ Lev 27:10 He shall not alter it, nor change it, a good for a bad, or a bad for a good: and if he shall at all change beast for beast, then it and the exchange thereof shall be holy.(KJV-1611) Lev 27:10 Li p'ap ka chanje yon move pou yon bon. Li p'ap ka bay yon lòt bèt nan plas sa li te pwomèt la. Si li fè sa, tou de bèt yo, ni sa li te di l'ap bay anvan an, ni sa li ta vle bay nan plas li a, va rete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:11 ============ Lev 27:11 And if it be any unclean beast, of which they do not offer a sacrifice unto the LORD, then he shall present the beast before the priest:(KJV-1611) Lev 27:11 Men, si bèt li te pran angajman ofri a se yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, l'a mennen bèt la bay prèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:12 ============ Lev 27:12 And the priest shall value it, whether it be good or bad: as thou valuest it, who art the priest, so shall it be.(KJV-1611) Lev 27:12 Prèt la va fè pri bèt la dapre jan l' wè bèt la. Lè l'a fin fè pri bèt la, pri l' mande a, se sa y'a peye pou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:13 ============ Lev 27:13 But if he will at all redeem it, then he shall add a fifth part thereof unto thy estimation.(KJV-1611) Lev 27:13 Men, si moun ki te fè ofrann lan ta vle achte bèt la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a plis ven pou san lavalè.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:14 ============ Lev 27:14 And when a man shall sanctify his house to be holy unto the LORD, then the priest shall estimate it, whether it be good or bad: as the priest shall estimate it, so shall it stand.(KJV-1611) Lev 27:14 Lè yon moun ap mete kay li apa pou Seyè a, prèt la va fè pri kay la dapre jan l' wè kay la. Lè l'a fin fè pri a, pri l' mande a, se sa pou yo bay.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:15 ============ Lev 27:15 And if he that sanctified it will redeem his house, then he shall add the fifth part of the money of thy estimation unto it, and it shall be his.(KJV-1611) Lev 27:15 Men, si moun k'ap mete kay la apa pou Seyè a ta vle achte kay la ankò, l'a peye pri prèt la te fikse a, plis ven pou san lavalè. Epi y'a renmèt li kay li.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:16 ============ Lev 27:16 And if a man shall sanctify unto the LORD some part of a field of his possession, then thy estimation shall be according to the seed thereof: an homer of barley seed shall be valued at fifty shekels of silver.(KJV-1611) Lev 27:16 Si yon moun pran yon pòsyon nan jaden l' epi li mete l' apa pou Seyè a, w'a fè pri pòsyon tè a dapre kantite grenn yo ka simen ladan l'. Pou chak barik grenn lòj yo ka simen, l'a bay dis pyès ajan.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:17 ============ Lev 27:17 If he sanctify his field from the year of jubile, according to thy estimation it shall stand.(KJV-1611) Lev 27:17 Si li fè ofrann lan apre yo fèk fin fete lanne rejwisans lan, se pou l' peye tout pri a nèt.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:18 ============ Lev 27:18 But if he sanctify his field after the jubile, then the priest shall reckon unto him the money according to the years that remain, even unto the year of the jubile, and it shall be abated from thy estimation.(KJV-1611) Lev 27:18 Men, si li fè l' kèk tan apre yo fin fete lanne rejwisans lan, prèt la va kalkile pri a sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, konsa l'a desann premye pri li te bay la.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:19 ============ Lev 27:19 And if he that sanctified the field will in any wise redeem it, then he shall add the fifth part of the money of thy estimation unto it, and it shall be assured to him.(KJV-1611) Lev 27:19 Si moun ki mete pòsyon tè a apa pou Seyè a ta vle achte tè a ankò, l'a peye pri yo te bay pou tè a plis ven pou san . Epi tè a va rete pou li.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:20 ============ Lev 27:20 And if he will not redeem the field, or if he have sold the field to another man, it shall not be redeemed any more.(KJV-1611) Lev 27:20 Men, si yo te gen tan vann tè a bay yon lòt moun anvan li menm li te mande achte l' ankò, li p'ap ka achte l' ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:21 ============ Lev 27:21 But the field, when it goeth out in the jubile, shall be holy unto the LORD, as a field devoted; the possession thereof shall be the priest's.(KJV-1611) Lev 27:21 Yon tè konsa, lè lanne rejwisans lan va rive, pase yo renmèt li nan men premye mèt li, l'ap rete yon bagay apa pou Seyè a, yon jaden pesonn p'ap ka manyen. L'a rete pou prèt yo.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:22 ============ Lev 27:22 And if a man sanctify unto the LORD a field which he hath bought, which is not of the fields of his possession;(KJV-1611) Lev 27:22 Si yon moun pran yon jaden li menm li te achte, yon jaden ki pa jaden eritye, epi li mete l' apa pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Leviticus 27:23 ============ Lev 27:23 Then the priest shall reckon unto him the worth of thy estimation, even unto the year of the jubile: and he shall give thine estimation in that day, as a holy thing unto the LORD.(KJV-1611) Lev 27:23 prèt la va kalkile pri jaden an sou kantite lanne ki rete anvan yo fete lanne rejwisans k'ap vini an, epi moun lan va peye lajan an menm jou a. Lajan sa a va rete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:24 ============ Lev 27:24 In the year of the jubile the field shall return unto him of whom it was bought, even to him to whom the possession of the land did belong.(KJV-1611) Lev 27:24 Lè lanne rejwisans lan va rive, jaden an va tounen pou premye mèt la osinon pou pitit premye mèt la.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:25 ============ Lev 27:25 And all thy estimations shall be according to the shekel of the sanctuary: twenty gerahs shall be the shekel.(KJV-1611) Lev 27:25 Y'a fè tout pri yo dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote yo mete apa pou Bondye a: yon gwo pyès pou ven ti pyès.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:26 ============ Lev 27:26 Only the firstling of the beasts, which should be the LORD's firstling, no man shall sanctify it; whether it be ox, or sheep: it is the LORD's.(KJV-1611) Lev 27:26 Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:27 ============ Lev 27:27 And if it be of an unclean beast, then he shall redeem it according to thine estimation, and shall add a fifth part of it thereto: or if it be not redeemed, then it shall be sold according to thy estimation.(KJV-1611) Lev 27:27 Men, si se premye pitit yon bèt ki pa ka sèvi ofrann pou Seyè a, y'a ka achte l' ankò nan men Seyè a pou pri n'a fikse a, plis ven pou san lavalè. Men, si moun lan pa vle achte l' ankò pou tèt li, y'a vann yon lòt moun li pou pri n'a fikse a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:28 ============ Lev 27:28 Notwithstanding no devoted thing, that a man shall devote unto the LORD of all that he hath, both of man and beast, and of the field of his possession, shall be sold or redeemed: every devoted thing is most holy unto the LORD.(KJV-1611) Lev 27:28 Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:29 ============ Lev 27:29 None devoted, which shall be devoted of men, shall be redeemed; but shall surely be put to death.(KJV-1611) Lev 27:29 Si se yon moun yo vle ki pou rete apa nèt pou Seyè a, yo p'ap ka reachte l'. Se touye pou yo touye moun sa a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:30 ============ Lev 27:30 And all the tithe of the land, whether of the seed of the land, or of the fruit of the tree, is the LORD's: it is holy unto the LORD.(KJV-1611) Lev 27:30 N'a mete dis pou san nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:31 ============ Lev 27:31 And if a man will at all redeem ought of his tithes, he shall add thereto the fifth part thereof.(KJV-1611) Lev 27:31 Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san lavalè.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:32 ============ Lev 27:32 And concerning the tithe of the herd, or of the flock, even of whatsoever passeth under the rod, the tenth shall be holy unto the LORD.(KJV-1611) Lev 27:32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:33 ============ Lev 27:33 He shall not search whether it be good or bad, neither shall he change it: and if he change it at all, then both it and the change thereof shall be holy; it shall not be redeemed.(KJV-1611) Lev 27:33 Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Seyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.(Creole-HT) ======= Leviticus 27:34 ============ Lev 27:34 These are the commandments, which the LORD commanded Moses for the children of Israel in mount Sinai.(KJV-1611) Lev 27:34 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.(Creole-HT) ======= Numbers 1:1 ============ Num 1:1 And the LORD spake unto Moses in the wilderness of Sinai, in the tabernacle of the congregation, on the first day of the second month, in the second year after they were come out of the land of Egypt, saying,(KJV-1611) Num 1:1 Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 1:2 ============ Num 1:2 Take ye the sum of all the congregation of the children of Israel, after their families, by the house of their fathers, with the number of their names, every male by their polls;(KJV-1611) Num 1:2 -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= Numbers 1:3 ============ Num 1:3 From twenty years old and upward, all that are able to go forth to war in Israel: thou and Aaron shall number them by their armies.(KJV-1611) Num 1:3 N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.(Creole-HT) ======= Numbers 1:4 ============ Num 1:4 And with you there shall be a man of every tribe; every one head of the house of his fathers.(KJV-1611) Num 1:4 N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.(Creole-HT) ======= Numbers 1:5 ============ Num 1:5 And these are the names of the men that shall stand with you: of the tribe of Reuben; Elizur the son of Shedeur.(KJV-1611) Num 1:5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.(Creole-HT) ======= Numbers 1:6 ============ Num 1:6 Of Simeon; Shelumiel the son of Zurishaddai.(KJV-1611) Num 1:6 Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.(Creole-HT) ======= Numbers 1:7 ============ Num 1:7 Of Judah; Nahshon the son of Amminadab.(KJV-1611) Num 1:7 Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.(Creole-HT) ======= Numbers 1:8 ============ Num 1:8 Of Issachar; Nethaneel the son of Zuar.(KJV-1611) Num 1:8 Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.(Creole-HT) ======= Numbers 1:9 ============ Num 1:9 Of Zebulun; Eliab the son of Helon.(KJV-1611) Num 1:9 Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.(Creole-HT) ======= Numbers 1:10 ============ Num 1:10 Of the children of Joseph: of Ephraim; Elishama the son of Ammihud: of Manasseh; Gamaliel the son of Pedahzur.(KJV-1611) Num 1:10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.(Creole-HT) ======= Numbers 1:11 ============ Num 1:11 Of Benjamin; Abidan the son of Gideoni.(KJV-1611) Num 1:11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.(Creole-HT) ======= Numbers 1:12 ============ Num 1:12 Of Dan; Ahiezer the son of Ammishaddai.(KJV-1611) Num 1:12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.(Creole-HT) ======= Numbers 1:13 ============ Num 1:13 Of Asher; Pagiel the son of Ocran.(KJV-1611) Num 1:13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.(Creole-HT) ======= Numbers 1:14 ============ Num 1:14 Of Gad; Eliasaph the son of Deuel.(KJV-1611) Num 1:14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.(Creole-HT) ======= Numbers 1:15 ============ Num 1:15 Of Naphtali; Ahira the son of Enan.(KJV-1611) Num 1:15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.(Creole-HT) ======= Numbers 1:16 ============ Num 1:16 These were the renowned of the congregation, princes of the tribes of their fathers, heads of thousands in Israel.(KJV-1611) Num 1:16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 1:17 ============ Num 1:17 And Moses and Aaron took these men which are expressed by their names:(KJV-1611) Num 1:17 Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,(Creole-HT) ======= Numbers 1:18 ============ Num 1:18 And they assembled all the congregation together on the first day of the second month, and they declared their pedigrees after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, by their polls.(KJV-1611) Num 1:18 yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,(Creole-HT) ======= Numbers 1:19 ============ Num 1:19 As the LORD commanded Moses, so he numbered them in the wilderness of Sinai.(KJV-1611) Num 1:19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 1:20 ============ Num 1:20 And the children of Reuben, Israel's eldest son, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, by their polls, every male from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 1:21 ============ Num 1:21 Those that were numbered of them, even of the tribe of Reuben, were forty and six thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 1:21 Yo jwenn karannsimil senksan gason pou branch fanmi Woubenn lan.(Creole-HT) ======= Numbers 1:22 ============ Num 1:22 Of the children of Simeon, by their generations, after their families, by the house of their fathers, those that were numbered of them, according to the number of the names, by their polls, every male from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,(Creole-HT) ======= Numbers 1:23 ============ Num 1:23 Those that were numbered of them, even of the tribe of Simeon, were fifty and nine thousand and three hundred.(KJV-1611) Num 1:23 yo jwenn senkantnèfmil twasan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:24 ============ Num 1:24 Of the children of Gad, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:24 Pou branch fanmi Gad la,(Creole-HT) ======= Numbers 1:25 ============ Num 1:25 Those that were numbered of them, even of the tribe of Gad, were forty and five thousand six hundred and fifty.(KJV-1611) Num 1:25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:26 ============ Num 1:26 Of the children of Judah, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:26 Pou branch fanmi Jida a,(Creole-HT) ======= Numbers 1:27 ============ Num 1:27 Those that were numbered of them, even of the tribe of Judah, were threescore and fourteen thousand and six hundred.(KJV-1611) Num 1:27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:28 ============ Num 1:28 Of the children of Issachar, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:28 Pou branch fanmi Isaka a,(Creole-HT) ======= Numbers 1:29 ============ Num 1:29 Those that were numbered of them, even of the tribe of Issachar, were fifty and four thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 1:29 yo jwenn senkannkatmil katsan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:30 ============ Num 1:30 Of the children of Zebulun, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:30 Pou branch fanmi Zabilon an,(Creole-HT) ======= Numbers 1:31 ============ Num 1:31 Those that were numbered of them, even of the tribe of Zebulun, were fifty and seven thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 1:31 yo jwenn senkannsètmil katsan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:32 ============ Num 1:32 Of the children of Joseph, namely, of the children of Ephraim, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,(Creole-HT) ======= Numbers 1:33 ============ Num 1:33 Those that were numbered of them, even of the tribe of Ephraim, were forty thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 1:33 yo jwenn karantmil senksan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:34 ============ Num 1:34 Of the children of Manasseh, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,(Creole-HT) ======= Numbers 1:35 ============ Num 1:35 Those that were numbered of them, even of the tribe of Manasseh, were thirty and two thousand and two hundred.(KJV-1611) Num 1:35 yo jwenn tranndemil desan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:36 ============ Num 1:36 Of the children of Benjamin, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:36 Pou branch fanmi Benjamen an,(Creole-HT) ======= Numbers 1:37 ============ Num 1:37 Those that were numbered of them, even of the tribe of Benjamin, were thirty and five thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 1:37 yo jwenn trannsenkmil katsan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:38 ============ Num 1:38 Of the children of Dan, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:38 Pou branch fanmi Dann lan,(Creole-HT) ======= Numbers 1:39 ============ Num 1:39 Those that were numbered of them, even of the tribe of Dan, were threescore and two thousand and seven hundred.(KJV-1611) Num 1:39 yo jwenn swasanndemil sètsan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:40 ============ Num 1:40 Of the children of Asher, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:40 Pou branch fanmi Asè a,(Creole-HT) ======= Numbers 1:41 ============ Num 1:41 Those that were numbered of them, even of the tribe of Asher, were forty and one thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 1:41 yo jwenn karanteyenmil senksan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:42 ============ Num 1:42 Of the children of Naphtali, throughout their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;(KJV-1611) Num 1:42 Pou branch fanmi Neftali a,(Creole-HT) ======= Numbers 1:43 ============ Num 1:43 Those that were numbered of them, even of the tribe of Naphtali, were fifty and three thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 1:43 yo jwenn senkanntwamil katsan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:44 ============ Num 1:44 These are those that were numbered, which Moses and Aaron numbered, and the princes of Israel, being twelve men: each one was for the house of his fathers.(KJV-1611) Num 1:44 Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.(Creole-HT) ======= Numbers 1:45 ============ Num 1:45 So were all those that were numbered of the children of Israel, by the house of their fathers, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war in Israel;(KJV-1611) Num 1:45 Pou tout branch fanmi yo ansanm,(Creole-HT) ======= Numbers 1:46 ============ Num 1:46 Even all they that were numbered were six hundred thousand and three thousand and five hundred and fifty.(KJV-1611) Num 1:46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant gason.(Creole-HT) ======= Numbers 1:47 ============ Num 1:47 But the Levites after the tribe of their fathers were not numbered among them.(KJV-1611) Num 1:47 Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,(Creole-HT) ======= Numbers 1:48 ============ Num 1:48 For the LORD had spoken unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 1:48 paske Seyè a te di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 1:49 ============ Num 1:49 Only thou shalt not number the tribe of Levi, neither take the sum of them among the children of Israel:(KJV-1611) Num 1:49 -Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 1:50 ============ Num 1:50 But thou shalt appoint the Levites over the tabernacle of testimony, and over all the vessels thereof, and over all things that belong to it: they shall bear the tabernacle, and all the vessels thereof; and they shall minister unto it, and shall encamp round about the tabernacle.(KJV-1611) Num 1:50 Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 1:51 ============ Num 1:51 And when the tabernacle setteth forward, the Levites shall take it down: and when the tabernacle is to be pitched, the Levites shall set it up: and the stranger that cometh nigh shall be put to death.(KJV-1611) Num 1:51 Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Numbers 1:52 ============ Num 1:52 And the children of Israel shall pitch their tents, every man by his own camp, and every man by his own standard, throughout their hosts.(KJV-1611) Num 1:52 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò làbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a.(Creole-HT) ======= Numbers 1:53 ============ Num 1:53 But the Levites shall pitch round about the tabernacle of testimony, that there be no wrath upon the congregation of the children of Israel: and the Levites shall keep the charge of the tabernacle of testimony.(KJV-1611) Num 1:53 Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 1:54 ============ Num 1:54 And the children of Israel did according to all that the LORD commanded Moses, so did they.(KJV-1611) Num 1:54 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.(Creole-HT) ======= Numbers 2:1 ============ Num 2:1 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Num 2:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 2:2 ============ Num 2:2 Every man of the children of Israel shall pitch by his own standard, with the ensign of their father's house: far off about the tabernacle of the congregation shall they pitch.(KJV-1611) Num 2:2 -Lè moun pèp Izrayèl yo va rive yon kote pou yo rete, chak moun va moute tant yo toupre làbanyè yo, anba ti drapo branch fanmi zansèt yo. Y'a moute tant yo devan ak sou kote Tant Randevou a, men pa twò pre l'.(Creole-HT) ======= Numbers 2:3 ============ Num 2:3 And on the east side toward the rising of the sun shall they of the standard of the camp of Judah pitch throughout their armies: and Nahshon the son of Amminadab shall be captain of the children of Judah.(KJV-1611) Num 2:3 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Jida a va moute kan yo sou bò solèy leve, chak divizyon apa. Se Nakchon, pitit gason Aninabad la, ki te chèf fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:4 ============ Num 2:4 And his host, and those that were numbered of them, were threescore and fourteen thousand and six hundred.(KJV-1611) Num 2:4 Dapre resansman an, te gen swasannkatòzmil sisan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:5 ============ Num 2:5 And those that do pitch next unto him shall be the tribe of Issachar: and Nethaneel the son of Zuar shall be captain of the children of Issachar.(KJV-1611) Num 2:5 Moun Isaka yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Jida a yo. Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:6 ============ Num 2:6 And his host, and those that were numbered thereof, were fifty and four thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 2:6 Dapre resansman an, te gen senkannkatmil katsan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:7 ============ Num 2:7 Then the tribe of Zebulun: and Eliab the son of Helon shall be captain of the children of Zebulun.(KJV-1611) Num 2:7 Moun Zabilon yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Jida yo. Se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:8 ============ Num 2:8 And his host, and those that were numbered thereof, were fifty and seven thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 2:8 Dapre resansman an, te gen senkannsètmil katsan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:9 ============ Num 2:9 All that were numbered in the camp of Judah were an hundred thousand and fourscore thousand and six thousand and four hundred, throughout their armies. These shall first set forth.(KJV-1611) Num 2:9 Konsa, anba làbanyè Jida a, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sankatrevensimil katsan gason. Se toujou yo menm ki pou mache devan lè y'ap deplase.(Creole-HT) ======= Numbers 2:10 ============ Num 2:10 On the south side shall be the standard of the camp of Reuben according to their armies: and the captain of the children of Reuben shall be Elizur the son of Shedeur.(KJV-1611) Num 2:10 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.(Creole-HT) ======= Numbers 2:11 ============ Num 2:11 And his host, and those that were numbered thereof, were forty and six thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 2:11 Dapre resansman an, te gen karannsimil senksan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:12 ============ Num 2:12 And those which pitch by him shall be the tribe of Simeon: and the captain of the children of Simeon shall be Shelumiel the son of Zurishaddai.(KJV-1611) Num 2:12 Moun Simeyon yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Woubenn yo. Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:13 ============ Num 2:13 And his host, and those that were numbered of them, were fifty and nine thousand and three hundred.(KJV-1611) Num 2:13 Dapre resansman an, te gen senkannèfmil twasan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:14 ============ Num 2:14 Then the tribe of Gad: and the captain of the sons of Gad shall be Eliasaph the son of Reuel.(KJV-1611) Num 2:14 Moun Gad yo va rete sou menm bò a, agoch moun Woubenn yo. Se Elyasaf, pitit gason Reouyèl la, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:15 ============ Num 2:15 And his host, and those that were numbered of them, were forty and five thousand and six hundred and fifty.(KJV-1611) Num 2:15 Dapre resansman an, te gen karannsenkmil sisan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:16 ============ Num 2:16 All that were numbered in the camp of Reuben were an hundred thousand and fifty and one thousand and four hundred and fifty, throughout their armies. And they shall set forth in the second rank.(KJV-1611) Num 2:16 Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.(Creole-HT) ======= Numbers 2:17 ============ Num 2:17 Then the tabernacle of the congregation shall set forward with the camp of the Levites in the midst of the camp: as they encamp, so shall they set forward, every man in his place by their standards.(KJV-1611) Num 2:17 Lè tout moun ap deplase, y'a mache nan menm pozisyon yo mete yo lè y'ap moute kan yo, anba làbanyè yo: de divizyon devan, de divizyon dèyè ak fanmi Levi yo nan mitan ap pote Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:18 ============ Num 2:18 On the west side shall be the standard of the camp of Ephraim according to their armies: and the captain of the sons of Ephraim shall be Elishama the son of Ammihud.(KJV-1611) Num 2:18 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Efrayim lan va moute kan yo sou solèy kouche, chak divizyon apa. Se Elichama, pitit gason Amiyoud la, ki te chèf fanmi Efrayin lan.(Creole-HT) ======= Numbers 2:19 ============ Num 2:19 And his host, and those that were numbered of them, were forty thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 2:19 Dapre resansman an, te gen karantmil senksan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:20 ============ Num 2:20 And by him shall be the tribe of Manasseh: and the captain of the children of Manasseh shall be Gamaliel the son of Pedahzur.(KJV-1611) Num 2:20 Moun Manase yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Efrayim yo. Se Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:21 ============ Num 2:21 And his host, and those that were numbered of them, were thirty and two thousand and two hundred.(KJV-1611) Num 2:21 Dapre resansman an, te gen tranndemil desan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:22 ============ Num 2:22 Then the tribe of Benjamin: and the captain of the sons of Benjamin shall be Abidan the son of Gideoni.(KJV-1611) Num 2:22 Moun Benjamen yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Abidan, pitit gason Gideyoni a, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:23 ============ Num 2:23 And his host, and those that were numbered of them, were thirty and five thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 2:23 Dapre resansman an, te gen trannsenkmil katsan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:24 ============ Num 2:24 All that were numbered of the camp of Ephraim were an hundred thousand and eight thousand and an hundred, throughout their armies. And they shall go forward in the third rank.(KJV-1611) Num 2:24 Konsa, anba làbanyè Efrayim lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou san witmil san gason. Se toujou yo menm ki pou mache an twazyèm pozisyon lè y'ap deplase.(Creole-HT) ======= Numbers 2:25 ============ Num 2:25 The standard of the camp of Dan shall be on the north side by their armies: and the captain of the children of Dan shall be Ahiezer the son of Ammishaddai.(KJV-1611) Num 2:25 Tout moun k'ap mache anla làbanyè Dann lan va moute kan yo sou bò nò, chak divizyon apa. Se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki te chèf fanmi Dann lan.(Creole-HT) ======= Numbers 2:26 ============ Num 2:26 And his host, and those that were numbered of them, were threescore and two thousand and seven hundred.(KJV-1611) Num 2:26 Dapre resansman an, te gen swasanndemil sètsan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:27 ============ Num 2:27 And those that encamp by him shall be the tribe of Asher: and the captain of the children of Asher shall be Pagiel the son of Ocran.(KJV-1611) Num 2:27 Moun Asè yo va moute kan yo sou menm bò a, adwat moun Dann yo. Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:28 ============ Num 2:28 And his host, and those that were numbered of them, were forty and one thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 2:28 Dapre resansman an, te gen karanteyenmil senksan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:29 ============ Num 2:29 Then the tribe of Naphtali: and the captain of the children of Naphtali shall be Ahira the son of Enan.(KJV-1611) Num 2:29 Moun Neftali yo va moute kan yo sou menm bò a tou, agoch moun Efrayim yo. Se Ayira, pitit gason Enan an, ki te chèf fanmi yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:30 ============ Num 2:30 And his host, and those that were numbered of them, were fifty and three thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 2:30 Dapre resansman an, te gen senkanntwamil katsan gason nan divizyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 2:31 ============ Num 2:31 All they that were numbered in the camp of Dan were an hundred thousand and fifty and seven thousand and six hundred. They shall go hindmost with their standards.(KJV-1611) Num 2:31 Konsa, anba làbanyè Dann lan, te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkannsètmil sisan gason. Se toujou yo menm ki pou mache dèyè nèt, chak divizyon anba drapo pa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 2:32 ============ Num 2:32 These are those which were numbered of the children of Israel by the house of their fathers: all those that were numbered of the camps throughout their hosts were six hundred thousand and three thousand and five hundred and fifty.(KJV-1611) Num 2:32 Men kantite gason yo te jwenn nan pèp Izrayèl la dapre branch fanmi zansèt yo. Dapre resansman yo te fè a, divizyon pa divizyon, te gen sisantwamil senksansenkant gason antou.(Creole-HT) ======= Numbers 2:33 ============ Num 2:33 But the Levites were not numbered among the children of Israel; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 2:33 Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.(Creole-HT) ======= Numbers 2:34 ============ Num 2:34 And the children of Israel did according to all that the LORD commanded Moses: so they pitched by their standards, and so they set forward, every one after their families, according to the house of their fathers.(KJV-1611) Num 2:34 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo moute kan yo, chak divizyon apa, anba làbanyè pa yo. Lè y'ap deplase, yo mache pa divizyon, chak moun ansanm ak branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:1 ============ Num 3:1 These also are the generations of Aaron and Moses in the day that the LORD spake with Moses in mount Sinai.(KJV-1611) Num 3:1 Lè nou remoute nan tan Seyè a te pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz.(Creole-HT) ======= Numbers 3:2 ============ Num 3:2 And these are the names of the sons of Aaron; Nadab the firstborn, and Abihu, Eleazar, and Ithamar.(KJV-1611) Num 3:2 Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama.(Creole-HT) ======= Numbers 3:3 ============ Num 3:3 These are the names of the sons of Aaron, the priests which were anointed, whom he consecrated to minister in the priest's office.(KJV-1611) Num 3:3 Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sèvi l' prèt.(Creole-HT) ======= Numbers 3:4 ============ Num 3:4 And Nadab and Abihu died before the LORD, when they offered strange fire before the LORD, in the wilderness of Sinai, and they had no children: and Eleazar and Ithamar ministered in the priest's office in the sight of Aaron their father.(KJV-1611) Num 3:4 Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:5 ============ Num 3:5 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 3:5 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 3:6 ============ Num 3:6 Bring the tribe of Levi near, and present them before Aaron the priest, that they may minister unto him.(KJV-1611) Num 3:6 -Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:7 ============ Num 3:7 And they shall keep his charge, and the charge of the whole congregation before the tabernacle of the congregation, to do the service of the tabernacle.(KJV-1611) Num 3:7 Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:8 ============ Num 3:8 And they shall keep all the instruments of the tabernacle of the congregation, and the charge of the children of Israel, to do the service of the tabernacle.(KJV-1611) Num 3:8 Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:9 ============ Num 3:9 And thou shalt give the Levites unto Aaron and to his sons: they are wholly given unto him out of the children of Israel.(KJV-1611) Num 3:9 W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan.(Creole-HT) ======= Numbers 3:10 ============ Num 3:10 And thou shalt appoint Aaron and his sons, and they shall wait on their priest's office: and the stranger that cometh nigh shall be put to death.(KJV-1611) Num 3:10 Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Numbers 3:11 ============ Num 3:11 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 3:11 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:(Creole-HT) ======= Numbers 3:12 ============ Num 3:12 And I, behold, I have taken the Levites from among the children of Israel instead of all the firstborn that openeth the matrix among the children of Israel: therefore the Levites shall be mine;(KJV-1611) Num 3:12 -Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Numbers 3:13 ============ Num 3:13 Because all the firstborn are mine; for on the day that I smote all the firstborn in the land of Egypt I hallowed unto me all the firstborn in Israel, both man and beast: mine shall they be: I am the LORD.(KJV-1611) Num 3:13 Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bèt yo fè. Se pou mwen menm yo tout ye. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:14 ============ Num 3:14 And the LORD spake unto Moses in the wilderness of Sinai, saying,(KJV-1611) Num 3:14 Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 3:15 ============ Num 3:15 Number the children of Levi after the house of their fathers, by their families: every male from a month old and upward shalt thou number them.(KJV-1611) Num 3:15 -Ou pral fè resansman tout moun Levi yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. W'a konte tout gason depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:16 ============ Num 3:16 And Moses numbered them according to the word of the LORD, as he was commanded.(KJV-1611) Num 3:16 Moyiz fè resansman an dapre lòd Seyè a te ba l' a. Li konte yo jan Seyè a te di l' fè l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 3:17 ============ Num 3:17 And these were the sons of Levi by their names; Gershon, and Kohath, and Merari.(KJV-1611) Num 3:17 Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gèchon, Keyat ak Merari.(Creole-HT) ======= Numbers 3:18 ============ Num 3:18 And these are the names of the sons of Gershon by their families; Libni, and Shimei.(KJV-1611) Num 3:18 Men non pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Se te Libni ak Chimèyi.(Creole-HT) ======= Numbers 3:19 ============ Num 3:19 And the sons of Kohath by their families; Amram, and Izehar, Hebron, and Uzziel.(KJV-1611) Num 3:19 Men non pitit Keyat yo ak tout fanmi yo: Se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.(Creole-HT) ======= Numbers 3:20 ============ Num 3:20 And the sons of Merari by their families; Mahli, and Mushi. These are the families of the Levites according to the house of their fathers.(KJV-1611) Num 3:20 Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:21 ============ Num 3:21 Of Gershon was the family of the Libnites, and the family of the Shimites: these are the families of the Gershonites.(KJV-1611) Num 3:21 Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa.(Creole-HT) ======= Numbers 3:22 ============ Num 3:22 Those that were numbered of them, according to the number of all the males, from a month old and upward, even those that were numbered of them were seven thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 3:22 Lè yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sètmil senksan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 3:23 ============ Num 3:23 The families of the Gershonites shall pitch behind the tabernacle westward.(KJV-1611) Num 3:23 Fanmi sa yo te rete dèyè kay Bondye a, sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Numbers 3:24 ============ Num 3:24 And the chief of the house of the father of the Gershonites shall be Eliasaph the son of Lael.(KJV-1611) Num 3:24 Se Elyasaf, pitit gason Layèl la, ki te chèf fanmi Gèchon yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:25 ============ Num 3:25 And the charge of the sons of Gershon in the tabernacle of the congregation shall be the tabernacle, and the tent, the covering thereof, and the hanging for the door of the tabernacle of the congregation,(KJV-1611) Num 3:25 Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a,(Creole-HT) ======= Numbers 3:26 ============ Num 3:26 And the hangings of the court, and the curtain for the door of the court, which is by the tabernacle, and by the altar round about, and the cords of it for all the service thereof.(KJV-1611) Num 3:26 rido pou galeri ki fè wonn Tant Randevou a ak lotèl la, rido ki nan pòt devan galeri a ak tout kòd yo bezwen pou sèvi nan kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:27 ============ Num 3:27 And of Kohath was the family of the Amramites, and the family of the Izeharites, and the family of the Hebronites, and the family of the Uzzielites: these are the families of the Kohathites.(KJV-1611) Num 3:27 Te gen kat fanmi nan branch Keyat la: Se te pitit Amram yo, pitit Jizeya yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo. Se tout fanmi Keyat yo sa.(Creole-HT) ======= Numbers 3:28 ============ Num 3:28 In the number of all the males, from a month old and upward, were eight thousand and six hundred, keeping the charge of the sanctuary.(KJV-1611) Num 3:28 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmil sisan gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a nan kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:29 ============ Num 3:29 The families of the sons of Kohath shall pitch on the side of the tabernacle southward.(KJV-1611) Num 3:29 Fanmi sa yo te moute kan yo sou bò sid kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:30 ============ Num 3:30 And the chief of the house of the father of the families of the Kohathites shall be Elizaphan the son of Uzziel.(KJV-1611) Num 3:30 Se Elizafan, pitit gason Ouzyèl la, ki te chèf fanmi Keyat yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:31 ============ Num 3:31 And their charge shall be the ark, and the table, and the candlestick, and the altars, and the vessels of the sanctuary wherewith they minister, and the hanging, and all the service thereof.(KJV-1611) Num 3:31 Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:32 ============ Num 3:32 And Eleazar the son of Aaron the priest shall be chief over the chief of the Levites, and have the oversight of them that keep the charge of the sanctuary.(KJV-1611) Num 3:32 Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:33 ============ Num 3:33 Of Merari was the family of the Mahlites, and the family of the Mushites: these are the families of Merari.(KJV-1611) Num 3:33 Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa.(Creole-HT) ======= Numbers 3:34 ============ Num 3:34 And those that were numbered of them, according to the number of all the males, from a month old and upward, were six thousand and two hundred.(KJV-1611) Num 3:34 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan gason.(Creole-HT) ======= Numbers 3:35 ============ Num 3:35 And the chief of the house of the father of the families of Merari was Zuriel the son of Abihail: these shall pitch on the side of the tabernacle northward.(KJV-1611) Num 3:35 Se Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:36 ============ Num 3:36 And under the custody and charge of the sons of Merari shall be the boards of the tabernacle, and the bars thereof, and the pillars thereof, and the sockets thereof, and all the vessels thereof, and all that serveth thereto,(KJV-1611) Num 3:36 Se yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travès yo, poto yo, sipò yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sèvi ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:37 ============ Num 3:37 And the pillars of the court round about, and their sockets, and their pins, and their cords.(KJV-1611) Num 3:37 Yo te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou.(Creole-HT) ======= Numbers 3:38 ============ Num 3:38 But those that encamp before the tabernacle toward the east, even before the tabernacle of the congregation eastward, shall be Moses, and Aaron and his sons, keeping the charge of the sanctuary for the charge of the children of Israel; and the stranger that cometh nigh shall be put to death.(KJV-1611) Num 3:38 Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:39 ============ Num 3:39 All that were numbered of the Levites, which Moses and Aaron numbered at the commandment of the LORD, throughout their families, all the males from a month old and upward, were twenty and two thousand.(KJV-1611) Num 3:39 Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:40 ============ Num 3:40 And the LORD said unto Moses, Number all the firstborn of the males of the children of Israel from a month old and upward, and take the number of their names.(KJV-1611) Num 3:40 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo. W'a konte konbe ki genyen.(Creole-HT) ======= Numbers 3:41 ============ Num 3:41 And thou shalt take the Levites for me (I am the LORD) instead of all the firstborn among the children of Israel; and the cattle of the Levites instead of all the firstlings among the cattle of the children of Israel.(KJV-1611) Num 3:41 Se mwen menm ki Seyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè.(Creole-HT) ======= Numbers 3:42 ============ Num 3:42 And Moses numbered, as the LORD commanded him, all the firstborn among the children of Israel.(KJV-1611) Num 3:42 Moyiz pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te ba l' a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:43 ============ Num 3:43 And all the firstborn males by the number of names, from a month old and upward, of those that were numbered of them, were twenty and two thousand two hundred and threescore and thirteen.(KJV-1611) Num 3:43 Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz .(Creole-HT) ======= Numbers 3:44 ============ Num 3:44 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 3:44 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 3:45 ============ Num 3:45 Take the Levites instead of all the firstborn among the children of Israel, and the cattle of the Levites instead of their cattle; and the Levites shall be mine: I am the LORD.(KJV-1611) Num 3:45 -Pran moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Epi w'a mete bèt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bèt moun pèp Izrayèl yo va fè. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:46 ============ Num 3:46 And for those that are to be redeemed of the two hundred and threescore and thirteen of the firstborn of the children of Israel, which are more than the Levites;(KJV-1611) Num 3:46 Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:47 ============ Num 3:47 Thou shalt even take five shekels apiece by the poll, after the shekel of the sanctuary shalt thou take them: (the shekel is twenty gerahs:)(KJV-1611) Num 3:47 Pou yo chak, y'a bay senk pyès ajan, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a: vin gara pou yon pyès ajan.(Creole-HT) ======= Numbers 3:48 ============ Num 3:48 And thou shalt give the money, wherewith the odd number of them is to be redeemed, unto Aaron and to his sons.(KJV-1611) Num 3:48 W'a pran lajan yo peye pou sove lavi sa ki an plis yo, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:49 ============ Num 3:49 And Moses took the redemption money of them that were over and above them that were redeemed by the Levites:(KJV-1611) Num 3:49 Se konsa, Moyiz pran lajan yo te peye pou sove lavi premye pitit gason ki te an plis sou kantite moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 3:50 ============ Num 3:50 Of the firstborn of the children of Israel took he the money; a thousand three hundred and threescore and five shekels, after the shekel of the sanctuary:(KJV-1611) Num 3:50 Li pran mil twasanswasannsenk pyès lajan nan men premye pitit moun Izrayèl yo, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 3:51 ============ Num 3:51 And Moses gave the money of them that were redeemed unto Aaron and to his sons, according to the word of the LORD, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 3:51 Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rès premye pitit gason yo, dapre lòd Seyè a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l' yo, jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 4:1 ============ Num 4:1 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Num 4:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 4:2 ============ Num 4:2 Take the sum of the sons of Kohath from among the sons of Levi, after their families, by the house of their fathers,(KJV-1611) Num 4:2 -Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:3 ============ Num 4:3 From thirty years old and upward even until fifty years old, all that enter into the host, to do the work in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 4:3 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:4 ============ Num 4:4 This shall be the service of the sons of Kohath in the tabernacle of the congregation, about the most holy things:(KJV-1611) Num 4:4 Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:5 ============ Num 4:5 And when the camp setteth forward, Aaron shall come, and his sons, and they shall take down the covering vail, and cover the ark of testimony with it:(KJV-1611) Num 4:5 Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li.(Creole-HT) ======= Numbers 4:6 ============ Num 4:6 And shall put thereon the covering of badgers' skins, and shall spread over it a cloth wholly of blue, and shall put in the staves thereof.(KJV-1611) Num 4:6 Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:7 ============ Num 4:7 And upon the table of shewbread they shall spread a cloth of blue, and put thereon the dishes, and the spoons, and the bowls, and covers to cover withal: and the continual bread shall be thereon:(KJV-1611) Num 4:7 Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.(Creole-HT) ======= Numbers 4:8 ============ Num 4:8 And they shall spread upon them a cloth of scarlet, and cover the same with a covering of badgers' skins, and shall put in the staves thereof.(KJV-1611) Num 4:8 Y'a voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon nap fèt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:9 ============ Num 4:9 And they shall take a cloth of blue, and cover the candlestick of the light, and his lamps, and his tongs, and his snuffdishes, and all the oil vessels thereof, wherewith they minister unto it:(KJV-1611) Num 4:9 Y'a pran yon dra tou ble, y'a kouvri gwo lanp sèt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensèt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:10 ============ Num 4:10 And they shall put it and all the vessels thereof within a covering of badgers' skins, and shall put it upon a bar.(KJV-1611) Num 4:10 Y'a vlope yo ansanm nan yon nap an po bazann, epi y'a mete l' sou yon branka pou pote l'.(Creole-HT) ======= Numbers 4:11 ============ Num 4:11 And upon the golden altar they shall spread a cloth of blue, and cover it with a covering of badgers' skins, and shall put to the staves thereof:(KJV-1611) Num 4:11 Apre sa, y'a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y'a kouvri l' nèt ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:12 ============ Num 4:12 And they shall take all the instruments of ministry, wherewith they minister in the sanctuary, and put them in a cloth of blue, and cover them with a covering of badgers' skins, and shall put them on a bar:(KJV-1611) Num 4:12 Y'a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Seyè a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:13 ============ Num 4:13 And they shall take away the ashes from the altar, and spread a purple cloth thereon:(KJV-1611) Num 4:13 Y'a wete sann ki sou lotèl la, epi y'a kouvri lotèl la ak yon dra wouj.(Creole-HT) ======= Numbers 4:14 ============ Num 4:14 And they shall put upon it all the vessels thereof, wherewith they minister about it, even the censers, the fleshhooks, and the shovels, and the basons, all the vessels of the altar; and they shall spread upon it a covering of badgers' skins, and put to the staves of it.(KJV-1611) Num 4:14 Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 4:15 ============ Num 4:15 And when Aaron and his sons have made an end of covering the sanctuary, and all the vessels of the sanctuary, as the camp is to set forward; after that, the sons of Kohath shall come to bear it: but they shall not touch any holy thing, lest they die. These things are the burden of the sons of Kohath in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 4:15 Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:16 ============ Num 4:16 And to the office of Eleazar the son of Aaron the priest pertaineth the oil for the light, and the sweet incense, and the daily meat offering, and the anointing oil, and the oversight of all the tabernacle, and of all that therein is, in the sanctuary, and in the vessels thereof.(KJV-1611) Num 4:16 Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:17 ============ Num 4:17 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron saying,(KJV-1611) Num 4:17 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 4:18 ============ Num 4:18 Cut ye not off the tribe of the families of the Kohathites from among the Levites:(KJV-1611) Num 4:18 -Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:19 ============ Num 4:19 But thus do unto them, that they may live, and not die, when they approach unto the most holy things: Aaron and his sons shall go in, and appoint them every one to his service and to his burden:(KJV-1611) Num 4:19 Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote.(Creole-HT) ======= Numbers 4:20 ============ Num 4:20 But they shall not go in to see when the holy things are covered, lest they die.(KJV-1611) Num 4:20 Men, moun Keyat yo pa janm gen dwa antre al gade lè y'ap vlope bagay ki apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 4:21 ============ Num 4:21 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 4:21 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 4:22 ============ Num 4:22 Take also the sum of the sons of Gershon, throughout the houses of their fathers, by their families;(KJV-1611) Num 4:22 -Fè resansman tout pitit gason moun Gèchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:23 ============ Num 4:23 From thirty years old and upward until fifty years old shalt thou number them; all that enter in to perform the service, to do the work in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 4:23 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:24 ============ Num 4:24 This is the service of the families of the Gershonites, to serve, and for burdens:(KJV-1611) Num 4:24 Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote:(Creole-HT) ======= Numbers 4:25 ============ Num 4:25 And they shall bear the curtains of the tabernacle, and the tabernacle of the congregation, his covering, and the covering of the badgers' skins that is above upon it, and the hanging for the door of the tabernacle of the congregation,(KJV-1611) Num 4:25 lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a,(Creole-HT) ======= Numbers 4:26 ============ Num 4:26 And the hangings of the court, and the hanging for the door of the gate of the court, which is by the tabernacle and by the altar round about, and their cords, and all the instruments of their service, and all that is made for them: so shall they serve.(KJV-1611) Num 4:26 rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòd yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:27 ============ Num 4:27 At the appointment of Aaron and his sons shall be all the service of the sons of the Gershonites, in all their burdens, and in all their service: and ye shall appoint unto them in charge all their burdens.(KJV-1611) Num 4:27 Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Y'a fè tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:28 ============ Num 4:28 This is the service of the families of the sons of Gershon in the tabernacle of the congregation: and their charge shall be under the hand of Ithamar the son of Aaron the priest.(KJV-1611) Num 4:28 Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Numbers 4:29 ============ Num 4:29 As for the sons of Merari, thou shalt number them after their families, by the house of their fathers;(KJV-1611) Num 4:29 Seyè a di Moyiz ankò: -W'a fè resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:30 ============ Num 4:30 From thirty years old and upward even unto fifty years old shalt thou number them, every one that entereth into the service, to do the work of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 4:30 W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:31 ============ Num 4:31 And this is the charge of their burden, according to all their service in the tabernacle of the congregation; the boards of the tabernacle, and the bars thereof, and the pillars thereof, and sockets thereof,(KJV-1611) Num 4:31 Se yo menm k'ap reskonsab pote ankadreman, travès, poto ak sipò kay Bondye yo,(Creole-HT) ======= Numbers 4:32 ============ Num 4:32 And the pillars of the court round about, and their sockets, and their pins, and their cords, with all their instruments, and with all their service: and by name ye shall reckon the instruments of the charge of their burden.(KJV-1611) Num 4:32 poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:33 ============ Num 4:33 This is the service of the families of the sons of Merari, according to all their service, in the tabernacle of the congregation, under the hand of Ithamar the son of Aaron the priest.(KJV-1611) Num 4:33 Se tout reskonsablite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fè nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki va ba yo sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Numbers 4:34 ============ Num 4:34 And Moses and Aaron and the chief of the congregation numbered the sons of the Kohathites after their families, and after the house of their fathers,(KJV-1611) Num 4:34 Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:35 ============ Num 4:35 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Num 4:35 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:36 ============ Num 4:36 And those that were numbered of them by their families were two thousand seven hundred and fifty.(KJV-1611) Num 4:36 Yo jwenn demil sètsansenkant gason antou nan(Creole-HT) ======= Numbers 4:37 ============ Num 4:37 These were they that were numbered of the families of the Kohathites, all that might do service in the tabernacle of the congregation, which Moses and Aaron did number according to the commandment of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 4:37 tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.(Creole-HT) ======= Numbers 4:38 ============ Num 4:38 And those that were numbered of the sons of Gershon, throughout their families, and by the house of their fathers,(KJV-1611) Num 4:38 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:39 ============ Num 4:39 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation,(KJV-1611) Num 4:39 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:40 ============ Num 4:40 Even those that were numbered of them, throughout their families, by the house of their fathers, were two thousand and six hundred and thirty.(KJV-1611) Num 4:40 Yo jwenn demil sisantran gason(Creole-HT) ======= Numbers 4:41 ============ Num 4:41 These are they that were numbered of the families of the sons of Gershon, of all that might do service in the tabernacle of the congregation, whom Moses and Aaron did number according to the commandment of the LORD.(KJV-1611) Num 4:41 nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.(Creole-HT) ======= Numbers 4:42 ============ Num 4:42 And those that were numbered of the families of the sons of Merari, throughout their families, by the house of their fathers,(KJV-1611) Num 4:42 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:43 ============ Num 4:43 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that entereth into the service, for the work in the tabernacle of the congregation,(KJV-1611) Num 4:43 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 4:44 ============ Num 4:44 Even those that were numbered of them after their families, were three thousand and two hundred.(KJV-1611) Num 4:44 Yo jwenn twamil desan gason(Creole-HT) ======= Numbers 4:45 ============ Num 4:45 These be those that were numbered of the families of the sons of Merari, whom Moses and Aaron numbered according to the word of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 4:45 nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.(Creole-HT) ======= Numbers 4:46 ============ Num 4:46 All those that were numbered of the Levites, whom Moses and Aaron and the chief of Israel numbered, after their families, and after the house of their fathers,(KJV-1611) Num 4:46 Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 4:47 ============ Num 4:47 From thirty years old and upward even unto fifty years old, every one that came to do the service of the ministry, and the service of the burden in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 4:47 Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lè y'ap deplase.(Creole-HT) ======= Numbers 4:48 ============ Num 4:48 Even those that were numbered of them, were eight thousand and five hundred and fourscore,(KJV-1611) Num 4:48 Yo jwenn antou witmil senksankatreven gason.(Creole-HT) ======= Numbers 4:49 ============ Num 4:49 According to the commandment of the LORD they were numbered by the hand of Moses, every one according to his service, and according to his burden: thus were they numbered of him, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 4:49 Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:1 ============ Num 5:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 5:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 5:2 ============ Num 5:2 Command the children of Israel, that they put out of the camp every leper, and every one that hath an issue, and whosoever is defiled by the dead:(KJV-1611) Num 5:2 -Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo mete deyò nan kan kote yo rete a tout moun ki gen move maladi po, moun ki gen ekoulman, osinon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye paske yo manyen kadav moun mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 5:3 ============ Num 5:3 Both male and female shall ye put out, without the camp shall ye put them; that they defile not their camps, in the midst whereof I dwell.(KJV-1611) Num 5:3 Wi, se pou nou mete tout moun ki pa nan kondisyon pou sèvi m' yo deyò nan kan an, fanm kou gason, pou yo pa mete kan kote m'ap viv nan mitan pèp mwen an nan kondisyon li pa ka sèvi m'.(Creole-HT) ======= Numbers 5:4 ============ Num 5:4 And the children of Israel did so, and put them out without the camp: as the LORD spake unto Moses, so did the children of Israel.(KJV-1611) Num 5:4 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo fè sa Seyè a te di Moyiz la. Yo mete tout moun sa yo deyò nan kan kote yo rete a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:5 ============ Num 5:5 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 5:5 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 5:6 ============ Num 5:6 Speak unto the children of Israel, When a man or woman shall commit any sin that men commit, to do a trespass against the LORD, and that person be guilty;(KJV-1611) Num 5:6 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò.(Creole-HT) ======= Numbers 5:7 ============ Num 5:7 Then they shall confess their sin which they have done: and he shall recompense his trespass with the principal thereof, and add unto it the fifth part thereof, and give it unto him against whom he hath trespassed.(KJV-1611) Num 5:7 Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis vin pou san lavalè.(Creole-HT) ======= Numbers 5:8 ============ Num 5:8 But if the man have no kinsman to recompense the trespass unto, let the trespass be recompensed unto the LORD, even to the priest; beside the ram of the atonement, whereby an atonement shall be made for him.(KJV-1611) Num 5:8 Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt l' a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l' bay Seyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Numbers 5:9 ============ Num 5:9 And every offering of all the holy things of the children of Israel, which they bring unto the priest, shall be his.(KJV-1611) Num 5:9 Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan.(Creole-HT) ======= Numbers 5:10 ============ Num 5:10 And every man's hallowed things shall be his: whatsoever any man giveth the priest, it shall be his.(KJV-1611) Num 5:10 Tout ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou.(Creole-HT) ======= Numbers 5:11 ============ Num 5:11 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 5:11 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 5:12 ============ Num 5:12 Speak unto the children of Israel, and say unto them, If any man's wife go aside, and commit a trespass against him,(KJV-1611) Num 5:12 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Sipoze madanm yon nonm lage kò l' nan dezòd, epi l'ap twonpe mari l',(Creole-HT) ======= Numbers 5:13 ============ Num 5:13 And a man lie with her carnally, and it be hid from the eyes of her husband, and be kept close, and she be defiled, and there be no witness against her, neither she be taken with the manner;(KJV-1611) Num 5:13 si li kouche ak yon lòt gason san mari l' pa konn sa, si li te kache kò l' pandan li t'ap fè bagay ki mete l' nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis pou Bondye a, kifè pa gen temwen ki pou pale kont li, ni yo pa t' kenbe l' nan men,(Creole-HT) ======= Numbers 5:14 ============ Num 5:14 And the spirit of jealousy come upon him, and he be jealous of his wife, and she be defiled: or if the spirit of jealousy come upon him, and he be jealous of his wife, and she be not defiled:(KJV-1611) Num 5:14 osinon si yon mari vin sispèk madanm li nan dezòd, kifè madanm lan pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye, kit madanm lan fè l' vre, kit li pa fè l',(Creole-HT) ======= Numbers 5:15 ============ Num 5:15 Then shall the man bring his wife unto the priest, and he shall bring her offering for her, the tenth part of an ephah of barley meal; he shall pour no oil upon it, nor put frankincense thereon; for it is an offering of jealousy, an offering of memorial, bringing iniquity to remembrance.(KJV-1611) Num 5:15 nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:16 ============ Num 5:16 And the priest shall bring her near, and set her before the LORD:(KJV-1611) Num 5:16 Apre sa, prèt la va fè madanm lan pwoche vin kanpe devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:17 ============ Num 5:17 And the priest shall take holy water in an earthen vessel; and of the dust that is in the floor of the tabernacle the priest shall take, and put it into the water:(KJV-1611) Num 5:17 Prèt la va pran ti gout dlo nan kivèt la, l'a mete l' nan yon veso fèt an fè, l'a pran yon priz pousyè tè nan Tant Randevou a, l'a mete l' nan dlo a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:18 ============ Num 5:18 And the priest shall set the woman before the LORD, and uncover the woman's head, and put the offering of memorial in her hands, which is the jealousy offering: and the priest shall have in his hand the bitter water that causeth the curse:(KJV-1611) Num 5:18 Lèfini, l'a fè madanm lan kanpe devan lotèl Seyè a, l'a wete twal ki sou tèt madanm lan, epi l'a mete ofrann farin lan nan de pla men l' yo. Prèt la menm va kenbe nan men l' veso ki gen dlo anmè a, dlo ki bay madichon an.(Creole-HT) ======= Numbers 5:19 ============ Num 5:19 And the priest shall charge her by an oath, and say unto the woman, If no man have lain with thee, and if thou hast not gone aside to uncleanness with another instead of thy husband, be thou free from this bitter water that causeth the curse:(KJV-1611) Num 5:19 Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Numbers 5:20 ============ Num 5:20 But if thou hast gone aside to another instead of thy husband, and if thou be defiled, and some man have lain with thee beside thine husband:(KJV-1611) Num 5:20 Men, si ou te lage kò ou nan dezòd vre, si ou pa nan kondisyon pou ou fè sèvis pou Bondye, paske ou te kouche ak yon gason ki pa mari ou,(Creole-HT) ======= Numbers 5:21 ============ Num 5:21 Then the priest shall charge the woman with an oath of cursing, and the priest shall say unto the woman, The LORD make thee a curse and an oath among thy people, when the LORD doth make thy thigh to rot, and thy belly to swell;(KJV-1611) Num 5:21 se pou Seyè a fè tout moun pran non ou pou bay madichon. Se pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Se pou vant ou anfle.(Creole-HT) ======= Numbers 5:22 ============ Num 5:22 And this water that causeth the curse shall go into thy bowels, to make thy belly to swell, and thy thigh to rot: And the woman shall say, Amen, amen.(KJV-1611) Num 5:22 Se pou dlo anmè ki bay madichon an antre nan vant ou pou fè l' anfle, pou l' fè ou pa ka janm fè pitit. Madanm lan va reponn: -Mwen dakò. Se pou Seyè a fè m' sa vre, si m' antò!(Creole-HT) ======= Numbers 5:23 ============ Num 5:23 And the priest shall write these curses in a book, and he shall blot them out with the bitter water:(KJV-1611) Num 5:23 Lè sa a, prèt la va ekri sèman an yon kote, epi l'a lave kote li te ekri a ak dlo anmè a pou efase sa l' te ekri a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:24 ============ Num 5:24 And he shall cause the woman to drink the bitter water that causeth the curse: and the water that causeth the curse shall enter into her, and become bitter.(KJV-1611) Num 5:24 Apre sa, l'a fè madanm lan bwè dlo anmè ki bay madichon an, pou dlo a pase nan kò l' ba li gwo doulè nan vant.(Creole-HT) ======= Numbers 5:25 ============ Num 5:25 Then the priest shall take the jealousy offering out of the woman's hand, and shall wave the offering before the LORD, and offer it upon the altar:(KJV-1611) Num 5:25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l' sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 5:26 ============ Num 5:26 And the priest shall take an handful of the offering, even the memorial thereof, and burn it upon the altar, and afterward shall cause the woman to drink the water.(KJV-1611) Num 5:26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l' bay Bondye, l'a boule l' sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Seyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a.(Creole-HT) ======= Numbers 5:27 ============ Num 5:27 And when he hath made her to drink the water, then it shall come to pass, that, if she be defiled, and have done trespass against her husband, that the water that causeth the curse shall enter into her, and become bitter, and her belly shall swell, and her thigh shall rot: and the woman shall be a curse among her people.(KJV-1611) Num 5:27 Si fanm lan te antò vre, si li te twonpe mari l', dlo a va desann nan kò l', l'a ba li gwo doulè. Vant li va anfle, li p'ap janm ka fè pitit ankò, epi non l' va sèvi pou bay madichon.(Creole-HT) ======= Numbers 5:28 ============ Num 5:28 And if the woman be not defiled, but be clean; then she shall be free, and shall conceive seed.(KJV-1611) Num 5:28 Men, si fanm lan inonsan, si li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, anyen p'ap rive l', l'ap toujou ka fè pitit.(Creole-HT) ======= Numbers 5:29 ============ Num 5:29 This is the law of jealousies, when a wife goeth aside to another instead of her husband, and is defiled;(KJV-1611) Num 5:29 Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,(Creole-HT) ======= Numbers 5:30 ============ Num 5:30 Or when the spirit of jealousy cometh upon him, and he be jealous over his wife, and shall set the woman before the LORD, and the priest shall execute upon her all this law.(KJV-1611) Num 5:30 osinon lè yon nonm sispèk madanm l' ap twonpe l'. L'a mennen madanm lan devan lotèl Seyè a, epi prèt la va fè sèvis sa a pou madanm lan.(Creole-HT) ======= Numbers 5:31 ============ Num 5:31 Then shall the man be guiltless from iniquity, and this woman shall bear her iniquity.(KJV-1611) Num 5:31 Mari a p'ap reskonsab anyen ki ka rive madanm lan. Men madanm lan, si l' antò, va pote chay peche l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 6:1 ============ Num 6:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 6:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 6:2 ============ Num 6:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When either man or woman shall separate themselves to vow a vow of a Nazarite, to separate themselves unto the LORD:(KJV-1611) Num 6:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Numbers 6:3 ============ Num 6:3 He shall separate himself from wine and strong drink, and shall drink no vinegar of wine, or vinegar of strong drink, neither shall he drink any liquor of grapes, nor eat moist grapes, or dried.(KJV-1611) Num 6:3 se pou l' rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l'. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.(Creole-HT) ======= Numbers 6:4 ============ Num 6:4 All the days of his separation shall he eat nothing that is made of the vine tree, from the kernels even to the husk.(KJV-1611) Num 6:4 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa manje anyen ki soti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:5 ============ Num 6:5 All the days of the vow of his separation there shall no razor come upon his head: until the days be fulfilled, in the which he separateth himself unto the LORD, he shall be holy, and shall let the locks of the hair of his head grow.(KJV-1611) Num 6:5 Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.(Creole-HT) ======= Numbers 6:6 ============ Num 6:6 All the days that he separateth himself unto the LORD he shall come at no dead body.(KJV-1611) Num 6:6 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,(Creole-HT) ======= Numbers 6:7 ============ Num 6:7 He shall not make himself unclean for his father, or for his mother, for his brother, or for his sister, when they die: because the consecration of his God is upon his head.(KJV-1611) Num 6:7 pa menm kadav papa l', osinon kadav manman l', kadav frè l', osinon kadav sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav moun mouri pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye, paske avèk cheve ki nan tèt l' a, sa vle di l'ap viv apa nèt pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 6:8 ============ Num 6:8 All the days of his separation he is holy unto the LORD.(KJV-1611) Num 6:8 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, se pou l' rete apa nèt pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 6:9 ============ Num 6:9 And if any man die very suddenly by him, and he hath defiled the head of his consecration; then he shall shave his head in the day of his cleansing, on the seventh day shall he shave it.(KJV-1611) Num 6:9 Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazareyen, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a san koupe cheve nan tèt li, nazareyen an ap twouve l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l' tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l' ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li.(Creole-HT) ======= Numbers 6:10 ============ Num 6:10 And on the eighth day he shall bring two turtles, or two young pigeons, to the priest, to the door of the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Num 6:10 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:11 ============ Num 6:11 And the priest shall offer the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, and make an atonement for him, for that he sinned by the dead, and shall hallow his head that same day.(KJV-1611) Num 6:11 Prèt la va ofri yo bay Seyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:12 ============ Num 6:12 And he shall consecrate unto the LORD the days of his separation, and shall bring a lamb of the first year for a trespass offering: but the days that were before shall be lost, because his separation was defiled.(KJV-1611) Num 6:12 Nonm lan va refè ve li te fè pou l' viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Numbers 6:13 ============ Num 6:13 And this is the law of the Nazarite, when the days of his separation are fulfilled: he shall be brought unto the door of the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Num 6:13 Men sèvis yon nazareyen va fè lè tan pou l' kenbe ve l' te fè a bout. Y'a mennen l' devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:14 ============ Num 6:14 And he shall offer his offering unto the LORD, one he lamb of the first year without blemish for a burnt offering, and one ewe lamb of the first year without blemish for a sin offering, and one ram without blemish for peace offerings,(KJV-1611) Num 6:14 L'a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Seyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Seyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Numbers 6:15 ============ Num 6:15 And a basket of unleavened bread, cakes of fine flour mingled with oil, and wafers of unleavened bread anointed with oil, and their meat offering, and their drink offerings.(KJV-1611) Num 6:15 L'a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 6:16 ============ Num 6:16 And the priest shall bring them before the LORD, and shall offer his sin offering, and his burnt offering:(KJV-1611) Num 6:16 Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Seyè a. L'a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l'a boule ofrann l' a nan dife.(Creole-HT) ======= Numbers 6:17 ============ Num 6:17 And he shall offer the ram for a sacrifice of peace offerings unto the LORD, with the basket of unleavened bread: the priest shall offer also his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 6:17 L'a touye belye mouton an, l'a ofri l' pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:18 ============ Num 6:18 And the Nazarite shall shave the head of his separation at the door of the tabernacle of the congregation, and shall take the hair of the head of his separation, and put it in the fire which is under the sacrifice of the peace offerings.(KJV-1611) Num 6:18 Lè sa a, nazareyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l'a pran cheve yo, l'a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule.(Creole-HT) ======= Numbers 6:19 ============ Num 6:19 And the priest shall take the sodden shoulder of the ram, and one unleavened cake out of the basket, and one unleavened wafer, and shall put them upon the hands of the Nazarite, after the hair of his separation is shaven:(KJV-1611) Num 6:19 Apre nazareyen an fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l'a mete tou sa nan pla men nazareyen an.(Creole-HT) ======= Numbers 6:20 ============ Num 6:20 And the priest shall wave them for a wave offering before the LORD: this is holy for the priest, with the wave breast and heave shoulder: and after that the Nazarite may drink wine.(KJV-1611) Num 6:20 Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven.(Creole-HT) ======= Numbers 6:21 ============ Num 6:21 This is the law of the Nazarite who hath vowed, and of his offering unto the LORD for his separation, beside that that his hand shall get: according to the vow which he vowed, so he must do after the law of his separation.(KJV-1611) Num 6:21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazareyen yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Seyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Seyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l' la a, se pou l' fè tou sa li te pwomèt pou l' fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 6:22 ============ Num 6:22 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 6:22 Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 6:23 ============ Num 6:23 Speak unto Aaron and unto his sons, saying, On this wise ye shall bless the children of Israel, saying unto them,(KJV-1611) Num 6:23 -Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la:(Creole-HT) ======= Numbers 6:24 ============ Num 6:24 The LORD bless thee, and keep thee:(KJV-1611) Num 6:24 Se pou Seyè a beni nou, se pou l' pran swen nou.(Creole-HT) ======= Numbers 6:25 ============ Num 6:25 The LORD make his face shine upon thee, and be gracious unto thee:(KJV-1611) Num 6:25 Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l' gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Numbers 6:26 ============ Num 6:26 The LORD lift up his countenance upon thee, and give thee peace.(KJV-1611) Num 6:26 Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l' ban nou kè poze.(Creole-HT) ======= Numbers 6:27 ============ Num 6:27 And they shall put my name upon the children of Israel, and I will bless them.(KJV-1611) Num 6:27 Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.(Creole-HT) ======= Numbers 7:1 ============ Num 7:1 And it came to pass on the day that Moses had fully set up the tabernacle, and had anointed it, and sanctified it, and all the instruments thereof, both the altar and all the vessels thereof, and had anointed them, and sanctified them;(KJV-1611) Num 7:1 Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 7:2 ============ Num 7:2 That the princes of Israel, heads of the house of their fathers, who were the princes of the tribes, and were over them that were numbered, offered:(KJV-1611) Num 7:2 Apre sa, chèf fanmi moun Izrayèl yo, chèf douz branch fanmi pèp Izrayèl la, vin pote ofrann yo. Se chèf sa yo ki te reskonsab fè resansman an.(Creole-HT) ======= Numbers 7:3 ============ Num 7:3 And they brought their offering before the LORD, six covered wagons, and twelve oxen; a wagon for two of the princes, and for each one an ox: and they brought them before the tabernacle.(KJV-1611) Num 7:3 Men sa yo te ofri bay Seyè a: sis kabwa ak douz towo bèf, ki vle di yon kabwa pou chak de chèf ak yon bèf pou chak chèf. Yo mennen yo devan kay Bondye a epi yo ofri yo bay Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 7:4 ============ Num 7:4 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 7:4 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 7:5 ============ Num 7:5 Take it of them, that they may be to do the service of the tabernacle of the congregation; and thou shalt give them unto the Levites, to every man according to his service.(KJV-1611) Num 7:5 -Ou mèt asepte kado sa yo nan men yo. W'a sèvi ak yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. W'a bay moun fanmi Levi yo kabwa yo, dapre travay ki sou kont yo.(Creole-HT) ======= Numbers 7:6 ============ Num 7:6 And Moses took the wagons and the oxen, and gave them unto the Levites.(KJV-1611) Num 7:6 Se konsa, Moyiz pran kabwa yo ak bèf yo, li bay moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 7:7 ============ Num 7:7 Two wagons and four oxen he gave unto the sons of Gershon, according to their service:(KJV-1611) Num 7:7 Li bay moun fanmi Gèchon yo de kabwa ak kat bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo.(Creole-HT) ======= Numbers 7:8 ============ Num 7:8 And four wagons and eight oxen he gave unto the sons of Merari, according unto their service, under the hand of Ithamar the son of Aaron the priest.(KJV-1611) Num 7:8 Li bay moun fanmi Merari yo kat kabwa ak wit bèf, dapre travay li konnen ki sou kont yo, travay pou yo fè sou lòd Itama, pitit Arawon, prèt la.(Creole-HT) ======= Numbers 7:9 ============ Num 7:9 But unto the sons of Kohath he gave none: because the service of the sanctuary belonging unto them was that they should bear upon their shoulders.(KJV-1611) Num 7:9 Men li pa bay noun Keyat yo anyen, paske se sou zepòl yo pou yo pote tout bagay ki nan kote ki apa nèt pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:10 ============ Num 7:10 And the princes offered for dedicating of the altar in the day that it was anointed, even the princes offered their offering before the altar.(KJV-1611) Num 7:10 Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 7:11 ============ Num 7:11 And the LORD said unto Moses, They shall offer their offering, each prince on his day, for the dedicating of the altar.(KJV-1611) Num 7:11 Seyè a di Moyiz konsa: -Chèf yo va pote ofrann yo pou sèvis y'ap fè pou mete lotèl la apa pou mwen. Y'a vini yonn apre lòt, yonn chak jou.(Creole-HT) ======= Numbers 7:12 ============ Num 7:12 And he that offered his offering the first day was Nahshon the son of Amminadab, of the tribe of Judah:(KJV-1611) Num 7:12 Chèf yo vini vre, yo fè ofrann yo yonn apre lòt. Premye jou a, se te tou pa Nakchon, pitit gason Aminadab la, chèf branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:13 ============ Num 7:13 And his offering was one silver charger, the weight thereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them were full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:13 Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.(Creole-HT) ======= Numbers 7:14 ============ Num 7:14 One spoon of ten shekels of gold, full of incense:(KJV-1611) Num 7:14 Li te ofri tou yon kiyè an lò, ki peze yon ka liv, plen lansan,(Creole-HT) ======= Numbers 7:15 ============ Num 7:15 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:15 yon jenn ti towo bèf, yon belye mouton ak yon ti mouton ki poko gen ennan, tou sa pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:16 ============ Num 7:16 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:16 Li te ofri ankò yon bouk pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal,(Creole-HT) ======= Numbers 7:17 ============ Num 7:17 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Nahshon the son of Amminadab.(KJV-1611) Num 7:17 de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:18 ============ Num 7:18 On the second day Nethaneel the son of Zuar, prince of Issachar, did offer:(KJV-1611) Num 7:18 Dezyèm jou a, se te tou pa Netanèl, pitit gason Zwa a, chèf branch fanmi Isaka a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:19 ============ Num 7:19 He offered for his offering one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:19 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:20 ============ Num 7:20 One spoon of gold of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:20 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:21 ============ Num 7:21 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:21 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:22 ============ Num 7:22 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:22 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:23 ============ Num 7:23 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Nethaneel the son of Zuar.(KJV-1611) Num 7:23 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:24 ============ Num 7:24 On the third day Eliab the son of Helon, prince of the children of Zebulun, did offer:(KJV-1611) Num 7:24 Twazyèm jou a, se te tou pa Eliyab, pitit gason Elon an, chèf branch fanmi Zabilon an.(Creole-HT) ======= Numbers 7:25 ============ Num 7:25 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:25 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:26 ============ Num 7:26 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:26 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:27 ============ Num 7:27 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:27 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:28 ============ Num 7:28 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:28 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:29 ============ Num 7:29 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Eliab the son of Helon.(KJV-1611) Num 7:29 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:30 ============ Num 7:30 On the fourth day Elizur the son of Shedeur, prince of the children of Reuben, did offer:(KJV-1611) Num 7:30 Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan.(Creole-HT) ======= Numbers 7:31 ============ Num 7:31 His offering was one silver charger of the weight of an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:31 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:32 ============ Num 7:32 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:32 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:33 ============ Num 7:33 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:33 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:34 ============ Num 7:34 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:34 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:35 ============ Num 7:35 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Elizur the son of Shedeur.(KJV-1611) Num 7:35 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:36 ============ Num 7:36 On the fifth day Shelumiel the son of Zurishaddai, prince of the children of Simeon, did offer:(KJV-1611) Num 7:36 Senkyèm jou a, se te tou pa Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, chèf branch fanmi Simeyon an.(Creole-HT) ======= Numbers 7:37 ============ Num 7:37 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:37 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:38 ============ Num 7:38 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:38 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:39 ============ Num 7:39 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:39 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:40 ============ Num 7:40 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:40 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:41 ============ Num 7:41 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Shelumiel the son of Zurishaddai.(KJV-1611) Num 7:41 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:42 ============ Num 7:42 On the sixth day Eliasaph the son of Deuel, prince of the children of Gad, offered:(KJV-1611) Num 7:42 Sizyèm jou a, se te tou pa Elyasaf, pitit gason Dewèl la, chèf branch fanmi Gad la.(Creole-HT) ======= Numbers 7:43 ============ Num 7:43 His offering was one silver charger of the weight of an hundred and thirty shekels, a silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:43 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:44 ============ Num 7:44 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:44 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:45 ============ Num 7:45 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:45 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:46 ============ Num 7:46 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:46 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:47 ============ Num 7:47 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Eliasaph the son of Deuel.(KJV-1611) Num 7:47 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:48 ============ Num 7:48 On the seventh day Elishama the son of Ammihud, prince of the children of Ephraim, offered:(KJV-1611) Num 7:48 Setyèm jou a, se te tou pa Elichama, pitit gason Amiyoud la, chèf branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Numbers 7:49 ============ Num 7:49 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:49 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:50 ============ Num 7:50 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:50 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:51 ============ Num 7:51 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:51 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:52 ============ Num 7:52 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:52 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:53 ============ Num 7:53 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Elishama the son of Ammihud.(KJV-1611) Num 7:53 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:54 ============ Num 7:54 On the eighth day offered Gamaliel the son of Pedahzur, prince of the children of Manasseh:(KJV-1611) Num 7:54 Uityèm jou a, se te tou pa Gamliyèl, pitit gason Pedachou a, chèf branch fanmi Manase a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:55 ============ Num 7:55 His offering was one silver charger of the weight of an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:55 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:56 ============ Num 7:56 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:56 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:57 ============ Num 7:57 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:57 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:58 ============ Num 7:58 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:58 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:59 ============ Num 7:59 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Gamaliel the son of Pedahzur.(KJV-1611) Num 7:59 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:60 ============ Num 7:60 On the ninth day Abidan the son of Gideoni, prince of the children of Benjamin, offered:(KJV-1611) Num 7:60 Nevyèm jou a, se te tou pa Abidan, pitit gason Gideyoni an, chèf branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= Numbers 7:61 ============ Num 7:61 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:61 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:62 ============ Num 7:62 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:62 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:63 ============ Num 7:63 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:63 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:64 ============ Num 7:64 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:64 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:65 ============ Num 7:65 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Abidan the son of Gideoni.(KJV-1611) Num 7:65 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:66 ============ Num 7:66 On the tenth day Ahiezer the son of Ammishaddai, prince of the children of Dan, offered:(KJV-1611) Num 7:66 Dizyèm jou a, se te tou pa Ayezè, pitit gason Amichadayi a, chèf branch fanmi Dann lan.(Creole-HT) ======= Numbers 7:67 ============ Num 7:67 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:67 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:68 ============ Num 7:68 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:68 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:69 ============ Num 7:69 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:69 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:70 ============ Num 7:70 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:70 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:71 ============ Num 7:71 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Ahiezer the son of Ammishaddai.(KJV-1611) Num 7:71 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:72 ============ Num 7:72 On the eleventh day Pagiel the son of Ocran, prince of the children of Asher, offered:(KJV-1611) Num 7:72 Onzyèm jou a, se te tou pa Pagiyèl, pitit gason Okran an, chèf branch fanmi Asè a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:73 ============ Num 7:73 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:73 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:74 ============ Num 7:74 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:74 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:75 ============ Num 7:75 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:75 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:76 ============ Num 7:76 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:76 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:77 ============ Num 7:77 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Pagiel the son of Ocran.(KJV-1611) Num 7:77 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:78 ============ Num 7:78 On the twelfth day Ahira the son of Enan, prince of the children of Naphtali, offered:(KJV-1611) Num 7:78 Douzyèm jou a, se te tou pa Ayira, pitit gason Enan an, chèf branch fanmi Neftali a.(Creole-HT) ======= Numbers 7:79 ============ Num 7:79 His offering was one silver charger, the weight whereof was an hundred and thirty shekels, one silver bowl of seventy shekels, after the shekel of the sanctuary; both of them full of fine flour mingled with oil for a meat offering:(KJV-1611) Num 7:79 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:80 ============ Num 7:80 One golden spoon of ten shekels, full of incense:(KJV-1611) Num 7:80 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:81 ============ Num 7:81 One young bullock, one ram, one lamb of the first year, for a burnt offering:(KJV-1611) Num 7:81 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:82 ============ Num 7:82 One kid of the goats for a sin offering:(KJV-1611) Num 7:82 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:83 ============ Num 7:83 And for a sacrifice of peace offerings, two oxen, five rams, five he goats, five lambs of the first year: this was the offering of Ahira the son of Enan.(KJV-1611) Num 7:83 Li ofri menm bagay ak Nakchon.(Creole-HT) ======= Numbers 7:84 ============ Num 7:84 This was the dedication of the altar, in the day when it was anointed, by the princes of Israel: twelve chargers of silver, twelve silver bowls, twelve spoons of gold:(KJV-1611) Num 7:84 Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò.(Creole-HT) ======= Numbers 7:85 ============ Num 7:85 Each charger of silver weighing an hundred and thirty shekels, each bowl seventy: all the silver vessels weighed two thousand and four hundred shekels, after the shekel of the sanctuary:(KJV-1611) Num 7:85 Chak bòl an ajan te peze twa liv enka, chak plat an ajan te peze yon liv twaka. Sa te fè antou swasant liv ajan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Numbers 7:86 ============ Num 7:86 The golden spoons were twelve, full of incense, weighing ten shekels apiece, after the shekel of the sanctuary: all the gold of the spoons was an hundred and twenty shekels.(KJV-1611) Num 7:86 Chak kiyè an lò pou lansan an te peze yon ka liv, dapre sistèm pèz yo sèvi nan kay Bondye a. Sa te fè antou pou douz kiyè yo twa liv lò.(Creole-HT) ======= Numbers 7:87 ============ Num 7:87 All the oxen for the burnt offering were twelve bullocks, the rams twelve, the lambs of the first year twelve, with their meat offering: and the kids of the goats for sin offering twelve.(KJV-1611) Num 7:87 Men kantite bèt yo te ofri antou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ki mache ak yo: douz towo, douz belye, douz ti mouton ki poko gen ennan. Yo te bay douz bouk tou pou yo touye pou repare sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Numbers 7:88 ============ Num 7:88 And all the oxen for the sacrifice of the peace offerings were twenty and four bullocks, the rams sixty, the he goats sixty, the lambs of the first year sixty. This was the dedication of the altar, after that it was anointed.(KJV-1611) Num 7:88 Men kantite bèt yo te ofri an total pou di Bondye mèsi: vennkat jenn ti towo, swasant belye, swasant bouk ak swasant ti mouton ki poko gen ennan. Se ofrann sa a yo te fè pou mete lotèl la apa nèt pou sèvis Seyè a, apre yo te fin vide lwil sou li.(Creole-HT) ======= Numbers 7:89 ============ Num 7:89 And when Moses was gone into the tabernacle of the congregation to speak with him, then he heard the voice of one speaking unto him from off the mercy seat that was upon the ark of testimony, from between the two cherubims: and he spake unto him.(KJV-1611) Num 7:89 Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:1 ============ Num 8:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 8:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 8:2 ============ Num 8:2 Speak unto Aaron and say unto him, When thou lightest the lamps, the seven lamps shall give light over against the candlestick.(KJV-1611) Num 8:2 -Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.(Creole-HT) ======= Numbers 8:3 ============ Num 8:3 And Aaron did so; he lighted the lamps thereof over against the candlestick, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 8:3 Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.(Creole-HT) ======= Numbers 8:4 ============ Num 8:4 And this work of the candlestick was of beaten gold, unto the shaft thereof, unto the flowers thereof, was beaten work: according unto the pattern which the LORD had shewed Moses, so he made the candlestick.(KJV-1611) Num 8:4 Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.(Creole-HT) ======= Numbers 8:5 ============ Num 8:5 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 8:5 Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 8:6 ============ Num 8:6 Take the Levites from among the children of Israel, and cleanse them.(KJV-1611) Num 8:6 -Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 8:7 ============ Num 8:7 And thus shalt thou do unto them, to cleanse them: Sprinkle water of purifying upon them, and let them shave all their flesh, and let them wash their clothes, and so make themselves clean.(KJV-1611) Num 8:7 Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 8:8 ============ Num 8:8 Then let them take a young bullock with his meat offering, even fine flour mingled with oil, and another young bullock shalt thou take for a sin offering.(KJV-1611) Num 8:8 Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Numbers 8:9 ============ Num 8:9 And thou shalt bring the Levites before the tabernacle of the congregation: and thou shalt gather the whole assembly of the children of Israel together:(KJV-1611) Num 8:9 Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble.(Creole-HT) ======= Numbers 8:10 ============ Num 8:10 And thou shalt bring the Levites before the LORD: and the children of Israel shall put their hands upon the Levites:(KJV-1611) Num 8:10 Y'a poze men yo sou tèt moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:11 ============ Num 8:11 And Aaron shall offer the Levites before the LORD for an offering of the children of Israel, that they may execute the service of the LORD.(KJV-1611) Num 8:11 Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 8:12 ============ Num 8:12 And the Levites shall lay their hands upon the heads of the bullocks: and thou shalt offer the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, unto the LORD, to make an atonement for the Levites.(KJV-1611) Num 8:12 Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:13 ============ Num 8:13 And thou shalt set the Levites before Aaron, and before his sons, and offer them for an offering unto the LORD.(KJV-1611) Num 8:13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:14 ============ Num 8:14 Thus shalt thou separate the Levites from among the children of Israel: and the Levites shall be mine.(KJV-1611) Num 8:14 W'a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale.(Creole-HT) ======= Numbers 8:15 ============ Num 8:15 And after that shall the Levites go in to do the service of the tabernacle of the congregation: and thou shalt cleanse them, and offer them for an offering.(KJV-1611) Num 8:15 Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 8:16 ============ Num 8:16 For they are wholly given unto me from among the children of Israel; instead of such as open every womb, even instead of the firstborn of all the children of Israel, have I taken them unto me.(KJV-1611) Num 8:16 N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:17 ============ Num 8:17 For all the firstborn of the children of Israel are mine, both man and beast: on the day that I smote every firstborn in the land of Egypt I sanctified them for myself.(KJV-1611) Num 8:17 Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 8:18 ============ Num 8:18 And I have taken the Levites for all the firstborn of the children of Israel.(KJV-1611) Num 8:18 Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:19 ============ Num 8:19 And I have given the Levites as a gift to Aaron and to his sons from among the children of Israel, to do the service of the children of Israel in the tabernacle of the congregation, and to make an atonement for the children of Israel: that there be no plague among the children of Israel, when the children of Israel come nigh unto the sanctuary.(KJV-1611) Num 8:19 Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Numbers 8:20 ============ Num 8:20 And Moses, and Aaron, and all the congregation of the children of Israel, did to the Levites according unto all that the LORD commanded Moses concerning the Levites, so did the children of Israel unto them.(KJV-1611) Num 8:20 Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 8:21 ============ Num 8:21 And the Levites were purified, and they washed their clothes; and Aaron offered them as an offering before the LORD; and Aaron made an atonement for them to cleanse them.(KJV-1611) Num 8:21 Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 8:22 ============ Num 8:22 And after that went the Levites in to do their service in the tabernacle of the congregation before Aaron, and before his sons: as the LORD had commanded Moses concerning the Levites, so did they unto them.(KJV-1611) Num 8:22 Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 8:23 ============ Num 8:23 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 8:23 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 8:24 ============ Num 8:24 This is it that belongeth unto the Levites: from twenty and five years old and upward they shall go in to wait upon the service of the tabernacle of the congregation:(KJV-1611) Num 8:24 -Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 8:25 ============ Num 8:25 And from the age of fifty years they shall cease waiting upon the service thereof, and shall serve no more:(KJV-1611) Num 8:25 Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan.(Creole-HT) ======= Numbers 8:26 ============ Num 8:26 But shall minister with their brethren in the tabernacle of the congregation, to keep the charge, and shall do no service. Thus shalt thou do unto the Levites touching their charge.(KJV-1611) Num 8:26 Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.(Creole-HT) ======= Numbers 9:1 ============ Num 9:1 And the LORD spake unto Moses in the wilderness of Sinai, in the first month of the second year after they were come out of the land of Egypt, saying,(KJV-1611) Num 9:1 Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te soti kite peyi Lejip la, Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 9:2 ============ Num 9:2 Let the children of Israel also keep the passover at his appointed season.(KJV-1611) Num 9:2 -Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 9:3 ============ Num 9:3 In the fourteenth day of this month, at even, ye shall keep it in his appointed season: according to all the rites of it, and according to all the ceremonies thereof, shall ye keep it.(KJV-1611) Num 9:3 Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa.(Creole-HT) ======= Numbers 9:4 ============ Num 9:4 And Moses spake unto the children of Israel, that they should keep the passover.(KJV-1611) Num 9:4 Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan.(Creole-HT) ======= Numbers 9:5 ============ Num 9:5 And they kept the passover on the fourteenth day of the first month at even in the wilderness of Sinai: according to all that the LORD commanded Moses, so did the children of Israel.(KJV-1611) Num 9:5 Epi yo fete fèt la nan aswè katòzyèm jou premye mwa a, nan dezè Sinayi a. Pèp la fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 9:6 ============ Num 9:6 And there were certain men, who were defiled by the dead body of a man, that they could not keep the passover on that day: and they came before Moses and before Aaron on that day:(KJV-1611) Num 9:6 Men, vwala te gen kèk moun ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pa t' kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y' al jwenn Moyiz ak Arawon.(Creole-HT) ======= Numbers 9:7 ============ Num 9:7 And those men said unto him, We are defiled by the dead body of a man: wherefore are we kept back, that we may not offer an offering of the LORD in his appointed season among the children of Israel?(KJV-1611) Num 9:7 Yo di yo: -Nou pa nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske nou te manyen yon kadav moun mouri. Men, poukisa nou pa ta ka pote ofrann nou yo bay Seyè a jou sa a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo?(Creole-HT) ======= Numbers 9:8 ============ Num 9:8 And Moses said unto them, Stand still, and I will hear what the LORD will command concerning you.(KJV-1611) Num 9:8 Moyiz reponn yo: -Rete tann jouk Seyè a va ban m' lòd sa pou m' di nou.(Creole-HT) ======= Numbers 9:9 ============ Num 9:9 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 9:9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 9:10 ============ Num 9:10 Speak unto the children of Israel, saying, If any man of you or of your posterity shall be unclean by reason of a dead body, or be in a journey afar off, yet he shall keep the passover unto the LORD.(KJV-1611) Num 9:10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 9:11 ============ Num 9:11 The fourteenth day of the second month at even they shall keep it, and eat it with unleavened bread and bitter herbs.(KJV-1611) Num 9:11 Y'a tann katòzyèm jou dizyèm mwa a, lè sòlèy fin kouche, pou yo fè l'. Y'a manje manje Delivrans lan avèk pen san ledven yo epi ak fèy lanman.(Creole-HT) ======= Numbers 9:12 ============ Num 9:12 They shall leave none of it unto the morning, nor break any bone of it: according to all the ordinances of the passover they shall keep it.(KJV-1611) Num 9:12 Yo p'ap gen dwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Numbers 9:13 ============ Num 9:13 But the man that is clean, and is not in a journey, and forbeareth to keep the passover, even the same soul shall be cut off from among his people: because he brought not the offering of the LORD in his appointed season, that man shall bear his sin.(KJV-1611) Num 9:13 Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 9:14 ============ Num 9:14 And if a stranger shall sojourn among you, and will keep the passover unto the LORD; according to the ordinance of the passover, and according to the manner thereof, so shall he do: ye shall have one ordinance, both for the stranger, and for him that was born in the land.(KJV-1611) Num 9:14 Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Numbers 9:15 ============ Num 9:15 And on the day that the tabernacle was reared up the cloud covered the tabernacle, namely, the tent of the testimony: and at even there was upon the tabernacle as it were the appearance of fire, until the morning.(KJV-1611) Num 9:15 Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.(Creole-HT) ======= Numbers 9:16 ============ Num 9:16 So it was alway: the cloud covered it by day, and the appearance of fire by night.(KJV-1611) Num 9:16 Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife.(Creole-HT) ======= Numbers 9:17 ============ Num 9:17 And when the cloud was taken up from the tabernacle, then after that the children of Israel journeyed: and in the place where the cloud abode, there the children of Israel pitched their tents.(KJV-1611) Num 9:17 Chak fwa nwaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la.(Creole-HT) ======= Numbers 9:18 ============ Num 9:18 At the commandment of the LORD the children of Israel journeyed, and at the commandment of the LORD they pitched: as long as the cloud abode upon the tabernacle they rested in their tents.(KJV-1611) Num 9:18 Konsa, se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, e se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. Toutotan nwaj la te rete anwo tant lan, yo menm tou, yo te rete kote yo te ye a.(Creole-HT) ======= Numbers 9:19 ============ Num 9:19 And when the cloud tarried long upon the tabernacle many days, then the children of Israel kept the charge of the LORD, and journeyed not.(KJV-1611) Num 9:19 Si nwaj la te rete anpil jou anwo tant lan san deplase, moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd Seyè a, yo menm tou yo pa t' deplase.(Creole-HT) ======= Numbers 9:20 ============ Num 9:20 And so it was, when the cloud was a few days upon the tabernacle; according to the commandment of the LORD they abode in their tents, and according to the commandment of the LORD they journeyed.(KJV-1611) Num 9:20 Gen de fwa nwaj la pa t' rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo.(Creole-HT) ======= Numbers 9:21 ============ Num 9:21 And so it was, when the cloud abode from even unto the morning, and that the cloud was taken up in the morning, then they journeyed: whether it was by day or by night that the cloud was taken up, they journeyed.(KJV-1611) Num 9:21 Gen de lè nwaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nwaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nwaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati.(Creole-HT) ======= Numbers 9:22 ============ Num 9:22 Or whether it were two days, or a month, or a year, that the cloud tarried upon the tabernacle, remaining thereon, the children of Israel abode in their tents, and journeyed not: but when it was taken up, they journeyed.(KJV-1611) Num 9:22 Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati.(Creole-HT) ======= Numbers 9:23 ============ Num 9:23 At the commandment of the LORD they rested in the tents, and at the commandment of the LORD they journeyed: they kept the charge of the LORD, at the commandment of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 9:23 Konsa, yo moute tant yo sou lòd Seyè a, yo leve yo pati sou lòd Seyè a: Yo te fè tou sa Seyè a te di Moyiz di yo fè.(Creole-HT) ======= Numbers 10:1 ============ Num 10:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 10:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 10:2 ============ Num 10:2 Make thee two trumpets of silver; of a whole piece shalt thou make them: that thou mayest use them for the calling of the assembly, and for the journeying of the camps.(KJV-1611) Num 10:2 -Fè yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat l' ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati.(Creole-HT) ======= Numbers 10:3 ============ Num 10:3 And when they shall blow with them, all the assembly shall assemble themselves to thee at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 10:3 Depi yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:4 ============ Num 10:4 And if they blow but with one trumpet, then the princes, which are heads of the thousands of Israel, shall gather themselves unto thee.(KJV-1611) Num 10:4 Si se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou.(Creole-HT) ======= Numbers 10:5 ============ Num 10:5 When ye blow an alarm, then the camps that lie on the east parts shall go forward.(KJV-1611) Num 10:5 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati.(Creole-HT) ======= Numbers 10:6 ============ Num 10:6 When ye blow an alarm the second time, then the camps that lie on the south side shall take their journey: they shall blow an alarm for their journeys.(KJV-1611) Num 10:6 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon dezyèm fwa ansanm ak bri moun k'ap rele yo, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò sid la leve pati.(Creole-HT) ======= Numbers 10:7 ============ Num 10:7 But when the congregation is to be gathered together, ye shall blow, but ye shall not sound an alarm.(KJV-1611) Num 10:7 Men lè y'ap reyini tout moun yo, y'a kònen twonpèt yo sèlman, san pesonn pa bezwen rele.(Creole-HT) ======= Numbers 10:8 ============ Num 10:8 And the sons of Aaron, the priests, shall blow with the trumpets; and they shall be to you for an ordinance for ever throughout your generations.(KJV-1611) Num 10:8 Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Numbers 10:9 ============ Num 10:9 And if ye go to war in your land against the enemy that oppresseth you, then ye shall blow an alarm with the trumpets; and ye shall be remembered before the LORD your God, and ye shall be saved from your enemies.(KJV-1611) Num 10:9 Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 10:10 ============ Num 10:10 Also in the day of your gladness, and in your solemn days, and in the beginnings of your months, ye shall blow with the trumpets over your burnt offerings, and over the sacrifices of your peace offerings; that they may be to you for a memorial before your God: I am the LORD your God.(KJV-1611) Num 10:10 Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Numbers 10:11 ============ Num 10:11 And it came to pass on the twentieth day of the second month, in the second year, that the cloud was taken up from off the tabernacle of the testimony.(KJV-1611) Num 10:11 Ventyèm jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te soti kite peyi Lejip, nwaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:12 ============ Num 10:12 And the children of Israel took their journeys out of the wilderness of Sinai; and the cloud rested in the wilderness of Paran.(KJV-1611) Num 10:12 Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an.(Creole-HT) ======= Numbers 10:13 ============ Num 10:13 And they first took their journey according to the commandment of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 10:13 Se konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Seyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou l' a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:14 ============ Num 10:14 In the first place went the standard of the camp of the children of Judah according to their armies: and over his host was Nahshon the son of Amminadab.(KJV-1611) Num 10:14 Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la.(Creole-HT) ======= Numbers 10:15 ============ Num 10:15 And over the host of the tribe of the children of Issachar was Nethaneel the son of Zuar.(KJV-1611) Num 10:15 Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:16 ============ Num 10:16 And over the host of the tribe of the children of Zebulun was Eliab the son of Helon.(KJV-1611) Num 10:16 Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an.(Creole-HT) ======= Numbers 10:17 ============ Num 10:17 And the tabernacle was taken down; and the sons of Gershon and the sons of Merari set forward, bearing the tabernacle.(KJV-1611) Num 10:17 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.(Creole-HT) ======= Numbers 10:18 ============ Num 10:18 And the standard of the camp of Reuben set forward according to their armies: and over his host was Elizur the son of Shedeur.(KJV-1611) Num 10:18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:19 ============ Num 10:19 And over the host of the tribe of the children of Simeon was Shelumiel the son of Zurishaddai.(KJV-1611) Num 10:19 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an.(Creole-HT) ======= Numbers 10:20 ============ Num 10:20 And over the host of the tribe of the children of Gad was Eliasaph the son of Deuel.(KJV-1611) Num 10:20 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la.(Creole-HT) ======= Numbers 10:21 ============ Num 10:21 And the Kohathites set forward, bearing the sanctuary: and the other did set up the tabernacle against they came.(KJV-1611) Num 10:21 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo.(Creole-HT) ======= Numbers 10:22 ============ Num 10:22 And the standard of the camp of the children of Ephraim set forward according to their armies: and over his host was Elishama the son of Ammihud.(KJV-1611) Num 10:22 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.(Creole-HT) ======= Numbers 10:23 ============ Num 10:23 And over the host of the tribe of the children of Manasseh was Gamaliel the son of Pedahzur.(KJV-1611) Num 10:23 Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:24 ============ Num 10:24 And over the host of the tribe of the children of Benjamin was Abidan the son of Gideoni.(KJV-1611) Num 10:24 Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= Numbers 10:25 ============ Num 10:25 And the standard of the camp of the children of Dan set forward, which was the rereward of all the camps throughout their hosts: and over his host was Ahiezer the son of Ammishaddai.(KJV-1611) Num 10:25 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache.(Creole-HT) ======= Numbers 10:26 ============ Num 10:26 And over the host of the tribe of the children of Asher was Pagiel the son of Ocran.(KJV-1611) Num 10:26 Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:27 ============ Num 10:27 And over the host of the tribe of the children of Naphtali was Ahira the son of Enan.(KJV-1611) Num 10:27 Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a.(Creole-HT) ======= Numbers 10:28 ============ Num 10:28 Thus were the journeyings of the children of Israel according to their armies, when they set forward.(KJV-1611) Num 10:28 Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati.(Creole-HT) ======= Numbers 10:29 ============ Num 10:29 And Moses said unto Hobab, the son of Raguel the Midianite, Moses' father in law, We are journeying unto the place of which the LORD said, I will give it you: come thou with us, and we will do thee good: for the LORD hath spoken good concerning Israel.(KJV-1611) Num 10:29 Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou.(Creole-HT) ======= Numbers 10:30 ============ Num 10:30 And he said unto him, I will not go; but I will depart to mine own land, and to my kindred.(KJV-1611) Num 10:30 Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'.(Creole-HT) ======= Numbers 10:31 ============ Num 10:31 And he said, Leave us not, I pray thee; forasmuch as thou knowest how we are to encamp in the wilderness, and thou mayest be to us instead of eyes.(KJV-1611) Num 10:31 Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid.(Creole-HT) ======= Numbers 10:32 ============ Num 10:32 And it shall be, if thou go with us, yea, it shall be, that what goodness the LORD shall do unto us, the same will we do unto thee.(KJV-1611) Num 10:32 Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou.(Creole-HT) ======= Numbers 10:33 ============ Num 10:33 And they departed from the mount of the LORD three days' journey: and the ark of the covenant of the LORD went before them in the three days' journey, to search out a resting place for them.(KJV-1611) Num 10:33 Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.(Creole-HT) ======= Numbers 10:34 ============ Num 10:34 And the cloud of the LORD was upon them by day, when they went out of the camp.(KJV-1611) Num 10:34 Chak fwa y'ap kite yon kote pou yo ale yon lòt kote, nwaj Seyè a te rete anlè tèt yo nan syèl la tout lajounen.(Creole-HT) ======= Numbers 10:35 ============ Num 10:35 And it came to pass, when the ark set forward, that Moses said, Rise up, LORD, and let thine enemies be scattered; and let them that hate thee flee before thee.(KJV-1611) Num 10:35 Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: -Leve non, Seyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!(Creole-HT) ======= Numbers 10:36 ============ Num 10:36 And when it rested, he said, Return, O LORD, unto the many thousands of Israel.(KJV-1611) Num 10:36 Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di: -Tounen non, Seyè! Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= Numbers 11:1 ============ Num 11:1 And when the people complained, it displeased the LORD: and the LORD heard it; and his anger was kindled; and the fire of the LORD burnt among them, and consumed them that were in the uttermost parts of the camp.(KJV-1611) Num 11:1 Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 11:2 ============ Num 11:2 And the people cried unto Moses; and when Moses prayed unto the LORD, the fire was quenched.(KJV-1611) Num 11:2 Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Seyè a pou yo epi dife a sispann.(Creole-HT) ======= Numbers 11:3 ============ Num 11:3 And he called the name of the place Taberah: because the fire of the LORD burnt among them.(KJV-1611) Num 11:3 Se konsa yo rele kote yo te ye a Tabera, paske se la dife Seyè a te pran nan mitan yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 11:4 ============ Num 11:4 And the mixt multitude that was among them fell a lusting: and the children of Israel also wept again, and said, Who shall give us flesh to eat?(KJV-1611) Num 11:4 Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a?(Creole-HT) ======= Numbers 11:5 ============ Num 11:5 We remember the fish, which we did eat in Egypt freely; the cucumbers, and the melons, and the leeks, and the onions, and the garlick:(KJV-1611) Num 11:5 Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje!(Creole-HT) ======= Numbers 11:6 ============ Num 11:6 But now our soul is dried away: there is nothing at all, beside this manna, before our eyes.(KJV-1611) Num 11:6 Men koulye a, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase laman lan ki devan je nou tout tan!(Creole-HT) ======= Numbers 11:7 ============ Num 11:7 And the manna was as coriander seed, and the colour thereof as the colour of bdellium.(KJV-1611) Num 11:7 Laman lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm arabik.(Creole-HT) ======= Numbers 11:8 ============ Num 11:8 And the people went about, and gathered it, and ground it in mills, or beat it in a mortar, and baked it in pans, and made cakes of it: and the taste of it was as the taste of fresh oil.(KJV-1611) Num 11:8 Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo kwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l'. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv.(Creole-HT) ======= Numbers 11:9 ============ Num 11:9 And when the dew fell upon the camp in the night, the manna fell upon it.(KJV-1611) Num 11:9 Se lannwit laman lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze.(Creole-HT) ======= Numbers 11:10 ============ Num 11:10 Then Moses heard the people weep throughout their families, every man in the door of his tent: and the anger of the LORD was kindled greatly; Moses also was displeased.(KJV-1611) Num 11:10 Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Seyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn.(Creole-HT) ======= Numbers 11:11 ============ Num 11:11 And Moses said unto the LORD, Wherefore hast thou afflicted thy servant? and wherefore have I not found favour in thy sight, that thou layest the burden of all this people upon me?(KJV-1611) Num 11:11 Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?(Creole-HT) ======= Numbers 11:12 ============ Num 11:12 Have I conceived all this people? have I begotten them, that thou shouldest say unto me, Carry them in thy bosom, as a nursing father beareth the sucking child, unto the land which thou swarest unto their fathers?(KJV-1611) Num 11:12 Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m' pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a?(Creole-HT) ======= Numbers 11:13 ============ Num 11:13 Whence should I have flesh to give unto all this people? for they weep unto me, saying, Give us flesh, that we may eat.(KJV-1611) Num 11:13 Kote pou m' jwenn vyann pou m' bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m' pou m' ba yo vyann pou yo manje.(Creole-HT) ======= Numbers 11:14 ============ Num 11:14 I am not able to bear all this people alone, because it is too heavy for me.(KJV-1611) Num 11:14 Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 11:15 ============ Num 11:15 And if thou deal thus with me, kill me, I pray thee, out of hand, if I have found favour in thy sight; and let me not see my wretchedness.(KJV-1611) Num 11:15 Si se konsa w'ap aji avè m', tanpri, fè m' favè sa a: pito ou tou touye m' fin ak sa, pou m' pa wè m'ap pase tout malè sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 11:16 ============ Num 11:16 And the LORD said unto Moses, Gather unto me seventy men of the elders of Israel, whom thou knowest to be the elders of the people, and officers over them; and bring them unto the tabernacle of the congregation, that they may stand there with thee.(KJV-1611) Num 11:16 Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.(Creole-HT) ======= Numbers 11:17 ============ Num 11:17 And I will come down and talk with thee there: and I will take of the spirit which is upon thee, and will put it upon them; and they shall bear the burden of the people with thee, that thou bear it not thyself alone.(KJV-1611) Num 11:17 M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsablite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 11:18 ============ Num 11:18 And say thou unto the people, Sanctify yourselves against to morrow, and ye shall eat flesh: for ye have wept in the ears of the LORD, saying, Who shall give us flesh to eat? for it was well with us in Egypt: therefore the LORD will give you flesh, and ye shall eat.(KJV-1611) Num 11:18 W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Seyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Koulye a, Seyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l' ban mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 11:19 ============ Num 11:19 Ye shall not eat one day, nor two days, nor five days, neither ten days, nor twenty days;(KJV-1611) Num 11:19 Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni vin jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje.(Creole-HT) ======= Numbers 11:20 ============ Num 11:20 But even a whole month, until it come out at your nostrils, and it be loathsome unto you: because that ye have despised the LORD which is among you, and have wept before him, saying, Why came we forth out of Egypt?(KJV-1611) Num 11:20 Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l' jouk l'a soti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l', paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pa t' dwe janm soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Numbers 11:21 ============ Num 11:21 And Moses said, The people, among whom I am, are six hundred thousand footmen; and thou hast said, I will give them flesh, that they may eat a whole month.(KJV-1611) Num 11:21 Moyiz di Seyè a: -Se sisanmil moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa.(Creole-HT) ======= Numbers 11:22 ============ Num 11:22 Shall the flocks and the herds be slain for them, to suffice them? or shall all the fish of the sea be gathered together for them, to suffice them?(KJV-1611) Num 11:22 Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo?(Creole-HT) ======= Numbers 11:23 ============ Num 11:23 And the LORD said unto Moses, Is the LORD's hand waxed short? thou shalt see now whether my word shall come to pass unto thee or not.(KJV-1611) Num 11:23 Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre.(Creole-HT) ======= Numbers 11:24 ============ Num 11:24 And Moses went out, and told the people the words of the LORD, and gathered the seventy men of the elders of the people, and set them round about the tabernacle.(KJV-1611) Num 11:24 Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Numbers 11:25 ============ Num 11:25 And the LORD came down in a cloud, and spake unto him, and took of the spirit that was upon him, and gave it unto the seventy elders: and it came to pass, that, when the spirit rested upon them, they prophesied, and did not cease.(KJV-1611) Num 11:25 Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.(Creole-HT) ======= Numbers 11:26 ============ Num 11:26 But there remained two of the men in the camp, the name of the one was Eldad, and the name of the other Medad: and the spirit rested upon them; and they were of them that were written, but went not out unto the tabernacle: and they prophesied in the camp.(KJV-1611) Num 11:26 Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.(Creole-HT) ======= Numbers 11:27 ============ Num 11:27 And there ran a young man, and told Moses, and said, Eldad and Medad do prophesy in the camp.(KJV-1611) Num 11:27 Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.(Creole-HT) ======= Numbers 11:28 ============ Num 11:28 And Joshua the son of Nun, the servant of Moses, one of his young men, answered and said, My lord Moses, forbid them.(KJV-1611) Num 11:28 Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!(Creole-HT) ======= Numbers 11:29 ============ Num 11:29 And Moses said unto him, Enviest thou for my sake? would God that all the LORD's people were prophets, and that the LORD would put his spirit upon them!(KJV-1611) Num 11:29 Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!(Creole-HT) ======= Numbers 11:30 ============ Num 11:30 And Moses gat him into the camp, he and the elders of Israel.(KJV-1611) Num 11:30 Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= Numbers 11:31 ============ Num 11:31 And there went forth a wind from the LORD, and brought quails from the sea, and let them fall by the camp, as it were a day's journey on this side, and as it were a day's journey on the other side, round about the camp, and as it were two cubits high upon the face of the earth.(KJV-1611) Num 11:31 Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.(Creole-HT) ======= Numbers 11:32 ============ Num 11:32 And the people stood up all that day, and all that night, and all the next day, and they gathered the quails: he that gathered least gathered ten homers: and they spread them all abroad for themselves round about the camp.(KJV-1611) Num 11:32 Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l'. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche.(Creole-HT) ======= Numbers 11:33 ============ Num 11:33 And while the flesh was yet between their teeth, ere it was chewed, the wrath of the LORD was kindled against the people, and the LORD smote the people with a very great plague.(KJV-1611) Num 11:33 Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.(Creole-HT) ======= Numbers 11:34 ============ Num 11:34 And he called the name of that place Kibrothhattaavah: because there they buried the people that lusted.(KJV-1611) Num 11:34 Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.(Creole-HT) ======= Numbers 11:35 ============ Num 11:35 And the people journeyed from Kibrothhattaavah unto Hazeroth; and abode at Hazeroth.(KJV-1611) Num 11:35 Apre sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.(Creole-HT) ======= Numbers 12:1 ============ Num 12:1 And Miriam and Aaron spake against Moses because of the Ethiopian woman whom he had married: for he had married an Ethiopian woman.(KJV-1611) Num 12:1 Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.(Creole-HT) ======= Numbers 12:2 ============ Num 12:2 And they said, Hath the LORD indeed spoken only by Moses? hath he not spoken also by us? And the LORD heard it.(KJV-1611) Num 12:2 Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a.(Creole-HT) ======= Numbers 12:3 ============ Num 12:3 (Now the man Moses was very meek, above all the men which were upon the face of the earth.)(KJV-1611) Num 12:3 Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.(Creole-HT) ======= Numbers 12:4 ============ Num 12:4 And the LORD spake suddenly unto Moses, and unto Aaron, and unto Miriam, Come out ye three unto the tabernacle of the congregation. And they three came out.(KJV-1611) Num 12:4 Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre.(Creole-HT) ======= Numbers 12:5 ============ Num 12:5 And the LORD came down in the pillar of the cloud, and stood in the door of the tabernacle, and called Aaron and Miriam: and they both came forth.(KJV-1611) Num 12:5 Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Numbers 12:6 ============ Num 12:6 And he said, Hear now my words: If there be a prophet among you, I the LORD will make myself known unto him in a vision, and will speak unto him in a dream.(KJV-1611) Num 12:6 Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 12:7 ============ Num 12:7 My servant Moses is not so, who is faithful in all mine house.(KJV-1611) Num 12:7 Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 12:8 ============ Num 12:8 With him will I speak mouth to mouth, even apparently, and not in dark speeches; and the similitude of the LORD shall he behold: wherefore then were ye not afraid to speak against my servant Moses?(KJV-1611) Num 12:8 Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal?(Creole-HT) ======= Numbers 12:9 ============ Num 12:9 And the anger of the LORD was kindled against them; and he departed.(KJV-1611) Num 12:9 Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale.(Creole-HT) ======= Numbers 12:10 ============ Num 12:10 And the cloud departed from off the tabernacle; and, behold, Miriam became leprous, white as snow: and Aaron looked upon Miriam, and, behold, she was leprous.(KJV-1611) Num 12:10 Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.(Creole-HT) ======= Numbers 12:11 ============ Num 12:11 And Aaron said unto Moses, Alas, my lord, I beseech thee, lay not the sin upon us, wherein we have done foolishly, and wherein we have sinned.(KJV-1611) Num 12:11 Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la!(Creole-HT) ======= Numbers 12:12 ============ Num 12:12 Let her not be as one dead, of whom the flesh is half consumed when he cometh out of his mother's womb.(KJV-1611) Num 12:12 Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l' manje.(Creole-HT) ======= Numbers 12:13 ============ Num 12:13 And Moses cried unto the LORD, saying, Heal her now, O God, I beseech thee.(KJV-1611) Num 12:13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non!(Creole-HT) ======= Numbers 12:14 ============ Num 12:14 And the LORD said unto Moses, If her father had but spit in her face, should she not be ashamed seven days? let her be shut out from the camp seven days, and after that let her be received in again.(KJV-1611) Num 12:14 Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen.(Creole-HT) ======= Numbers 12:15 ============ Num 12:15 And Miriam was shut out from the camp seven days: and the people journeyed not till Miriam was brought in again.(KJV-1611) Num 12:15 Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t' leve pati toutotan yo pa t' kite Miryam tounen nan kan an ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 12:16 ============ Num 12:16 And afterward the people removed from Hazeroth, and pitched in the wilderness of Paran.(KJV-1611) Num 12:16 Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.(Creole-HT) ======= Numbers 13:1 ============ Num 13:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 13:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 13:2 ============ Num 13:2 Send thou men, that they may search the land of Canaan, which I give unto the children of Israel: of every tribe of their fathers shall ye send a man, every one a ruler among them.(KJV-1611) Num 13:2 -Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 13:3 ============ Num 13:3 And Moses by the commandment of the LORD sent them from the wilderness of Paran: all those men were heads of the children of Israel.(KJV-1611) Num 13:3 Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:4 ============ Num 13:4 And these were their names: of the tribe of Reuben, Shammua the son of Zaccur.(KJV-1611) Num 13:4 Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:5 ============ Num 13:5 Of the tribe of Simeon, Shaphat the son of Hori.(KJV-1611) Num 13:5 Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:6 ============ Num 13:6 Of the tribe of Judah, Caleb the son of Jephunneh.(KJV-1611) Num 13:6 Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:7 ============ Num 13:7 Of the tribe of Issachar, Igal the son of Joseph.(KJV-1611) Num 13:7 Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la.(Creole-HT) ======= Numbers 13:8 ============ Num 13:8 Of the tribe of Ephraim, Oshea the son of Nun.(KJV-1611) Num 13:8 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.(Creole-HT) ======= Numbers 13:9 ============ Num 13:9 Of the tribe of Benjamin, Palti the son of Raphu.(KJV-1611) Num 13:9 Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:10 ============ Num 13:10 Of the tribe of Zebulun, Gaddiel the son of Sodi.(KJV-1611) Num 13:10 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:11 ============ Num 13:11 Of the tribe of Joseph, namely, of the tribe of Manasseh, Gaddi the son of Susi.(KJV-1611) Num 13:11 Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:12 ============ Num 13:12 Of the tribe of Dan, Ammiel the son of Gemalli.(KJV-1611) Num 13:12 Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:13 ============ Num 13:13 Of the tribe of Asher, Sethur the son of Michael.(KJV-1611) Num 13:13 Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 13:14 ============ Num 13:14 Of the tribe of Naphtali, Nahbi the son of Vophsi.(KJV-1611) Num 13:14 Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:15 ============ Num 13:15 Of the tribe of Gad, Geuel the son of Machi.(KJV-1611) Num 13:15 Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:16 ============ Num 13:16 These are the names of the men which Moses sent to spy out the land. And Moses called Oshea the son of Nun Jehoshua.(KJV-1611) Num 13:16 Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.(Creole-HT) ======= Numbers 13:17 ============ Num 13:17 And Moses sent them to spy out the land of Canaan, and said unto them, Get you up this way southward, and go up into the mountain:(KJV-1611) Num 13:17 Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.(Creole-HT) ======= Numbers 13:18 ============ Num 13:18 And see the land, what it is, and the people that dwelleth therein, whether they be strong or weak, few or many;(KJV-1611) Num 13:18 Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fòs yo.(Creole-HT) ======= Numbers 13:19 ============ Num 13:19 And what the land is that they dwell in, whether it be good or bad; and what cities they be that they dwell in, whether in tents, or in strong holds;(KJV-1611) Num 13:19 Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal.(Creole-HT) ======= Numbers 13:20 ============ Num 13:20 And what the land is, whether it be fat or lean, whether there be wood therein, or not. And be ye of good courage, and bring of the fruit of the land. Now the time was the time of the firstripe grapes.(KJV-1611) Num 13:20 Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.(Creole-HT) ======= Numbers 13:21 ============ Num 13:21 So they went up, and searched the land from the wilderness of Zin unto Rehob, as men come to Hamath.(KJV-1611) Num 13:21 Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.(Creole-HT) ======= Numbers 13:22 ============ Num 13:22 And they ascended by the south, and came unto Hebron; where Ahiman, Sheshai, and Talmai, the children of Anak, were. (Now Hebron was built seven years before Zoan in Egypt.)(KJV-1611) Num 13:22 Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Numbers 13:23 ============ Num 13:23 And they came unto the brook of Eshcol, and cut down from thence a branch with one cluster of grapes, and they bare it between two upon a staff; and they brought of the pomegranates, and of the figs.(KJV-1611) Num 13:23 Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.(Creole-HT) ======= Numbers 13:24 ============ Num 13:24 The place was called the brook Eshcol, because of the cluster of grapes which the children of Israel cut down from thence.(KJV-1611) Num 13:24 Yo rele kote sa a Ravin Echkòl, poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a.(Creole-HT) ======= Numbers 13:25 ============ Num 13:25 And they returned from searching of the land after forty days.(KJV-1611) Num 13:25 Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,(Creole-HT) ======= Numbers 13:26 ============ Num 13:26 And they went and came to Moses, and to Aaron, and to all the congregation of the children of Israel, unto the wilderness of Paran, to Kadesh; and brought back word unto them, and unto all the congregation, and shewed them the fruit of the land.(KJV-1611) Num 13:26 yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.(Creole-HT) ======= Numbers 13:27 ============ Num 13:27 And they told him, and said, We came unto the land whither thou sentest us, and surely it floweth with milk and honey; and this is the fruit of it.(KJV-1611) Num 13:27 Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.(Creole-HT) ======= Numbers 13:28 ============ Num 13:28 Nevertheless the people be strong that dwell in the land, and the cities are walled, and very great: and moreover we saw the children of Anak there.(KJV-1611) Num 13:28 Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.(Creole-HT) ======= Numbers 13:29 ============ Num 13:29 The Amalekites dwell in the land of the south: and the Hittites, and the Jebusites, and the Amorites, dwell in the mountains: and the Canaanites dwell by the sea, and by the coast of Jordan.(KJV-1611) Num 13:29 Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Numbers 13:30 ============ Num 13:30 And Caleb stilled the people before Moses, and said, Let us go up at once, and possess it; for we are well able to overcome it.(KJV-1611) Num 13:30 Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!(Creole-HT) ======= Numbers 13:31 ============ Num 13:31 But the men that went up with him said, We be not able to go up against the people; for they are stronger than we.(KJV-1611) Num 13:31 Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.(Creole-HT) ======= Numbers 13:32 ============ Num 13:32 And they brought up an evil report of the land which they had searched unto the children of Israel, saying, The land, through which we have gone to search it, is a land that eateth up the inhabitants thereof; and all the people that we saw in it are men of a great stature.(KJV-1611) Num 13:32 Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.(Creole-HT) ======= Numbers 13:33 ============ Num 13:33 And there we saw the giants, the sons of Anak, which come of the giants: and we were in our own sight as grasshoppers, and so we were in their sight.(KJV-1611) Num 13:33 Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:1 ============ Num 14:1 And all the congregation lifted up their voice, and cried; and the people wept that night.(KJV-1611) Num 14:1 Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.(Creole-HT) ======= Numbers 14:2 ============ Num 14:2 And all the children of Israel murmured against Moses and against Aaron: and the whole congregation said unto them, Would God that we had died in the land of Egypt! or would God we had died in this wilderness!(KJV-1611) Num 14:2 Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!(Creole-HT) ======= Numbers 14:3 ============ Num 14:3 And wherefore hath the LORD brought us unto this land, to fall by the sword, that our wives and our children should be a prey? were it not better for us to return into Egypt?(KJV-1611) Num 14:3 Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?(Creole-HT) ======= Numbers 14:4 ============ Num 14:4 And they said one to another, Let us make a captain, and let us return into Egypt.(KJV-1611) Num 14:4 Yonn t'ap di lòt: -Ann chwazi yon lòt chèf! Ann tounen nan peyi Lejip!(Creole-HT) ======= Numbers 14:5 ============ Num 14:5 Then Moses and Aaron fell on their faces before all the assembly of the congregation of the children of Israel.(KJV-1611) Num 14:5 Lè Moyiz ak Arawon wè sa, yo tonbe fas atè devan tout pèp la ki te sanble la a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:6 ============ Num 14:6 And Joshua the son of Nun, and Caleb the son of Jephunneh, which were of them that searched the land, rent their clothes:(KJV-1611) Num 14:6 Lè sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitèlman yo te fache.(Creole-HT) ======= Numbers 14:7 ============ Num 14:7 And they spake unto all the company of the children of Israel, saying, The land, which we passed through to search it, is an exceeding good land.(KJV-1611) Num 14:7 Epi yo di pèp la: -Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi.(Creole-HT) ======= Numbers 14:8 ============ Num 14:8 If the LORD delight in us, then he will bring us into this land, and give it us; a land which floweth with milk and honey.(KJV-1611) Num 14:8 Si Seyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:9 ============ Num 14:9 Only rebel not ye against the LORD, neither fear ye the people of the land; for they are bread for us: their defence is departed from them, and the LORD is with us: fear them not.(KJV-1611) Num 14:9 Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:10 ============ Num 14:10 But all the congregation bade stone them with stones. And the glory of the LORD appeared in the tabernacle of the congregation before all the children of Israel.(KJV-1611) Num 14:10 Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 14:11 ============ Num 14:11 And the LORD said unto Moses, How long will this people provoke me? and how long will it be ere they believe me, for all the signs which I have shewed among them?(KJV-1611) Num 14:11 Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou!(Creole-HT) ======= Numbers 14:12 ============ Num 14:12 I will smite them with the pestilence, and disinherit them, and will make of thee a greater nation and mightier than they.(KJV-1611) Num 14:12 M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:13 ============ Num 14:13 And Moses said unto the LORD, Then the Egyptians shall hear it, (for thou broughtest up this people in thy might from among them;)(KJV-1611) Num 14:13 Men, Moyiz di Seyè a konsa: -Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Numbers 14:14 ============ Num 14:14 And they will tell it to the inhabitants of this land: for they have heard that thou LORD art among this people, that thou LORD art seen face to face, and that thy cloud standeth over them, and that thou goest before them, by day time in a pillar of a cloud, and in a pillar of fire by night.(KJV-1611) Num 14:14 Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou.(Creole-HT) ======= Numbers 14:15 ============ Num 14:15 Now if thou shalt kill all this people as one man, then the nations which have heard the fame of thee will speak, saying,(KJV-1611) Num 14:15 Koulye a, si ou rete konsa ou touye tout pèp ou a, moun lòt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di(Creole-HT) ======= Numbers 14:16 ============ Num 14:16 Because the LORD was not able to bring this people into the land which he sware unto them, therefore he hath slain them in the wilderness.(KJV-1611) Num 14:16 se kapab ou pa t' kapab mennen pèp la nan peyi ou te fè sèman w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:17 ============ Num 14:17 And now, I beseech thee, let the power of my LORD be great, according as thou hast spoken, saying,(KJV-1611) Num 14:17 Non. Seyè! Se koulye a pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt l' a, lè ou te di:(Creole-HT) ======= Numbers 14:18 ============ Num 14:18 The LORD is longsuffering, and of great mercy, forgiving iniquity and transgression, and by no means clearing the guilty, visiting the iniquity of the fathers upon the children unto the third and fourth generation.(KJV-1611) Num 14:18 Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.(Creole-HT) ======= Numbers 14:19 ============ Num 14:19 Pardon, I beseech thee, the iniquity of this people according unto the greatness of thy mercy, and as thou hast forgiven this people, from Egypt even until now.(KJV-1611) Num 14:19 Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.(Creole-HT) ======= Numbers 14:20 ============ Num 14:20 And the LORD said, I have pardoned according to thy word:(KJV-1611) Num 14:20 Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.(Creole-HT) ======= Numbers 14:21 ============ Num 14:21 But as truly as I live, all the earth shall be filled with the glory of the LORD.(KJV-1611) Num 14:21 Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè,(Creole-HT) ======= Numbers 14:22 ============ Num 14:22 Because all those men which have seen my glory, and my miracles, which I did in Egypt and in the wilderness, and have tempted me now these ten times, and have not hearkened to my voice;(KJV-1611) Num 14:22 okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:23 ============ Num 14:23 Surely they shall not see the land which I sware unto their fathers, neither shall any of them that provoked me see it:(KJV-1611) Num 14:23 Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:24 ============ Num 14:24 But my servant Caleb, because he had another spirit with him, and hath followed me fully, him will I bring into the land whereinto he went; and his seed shall possess it.(KJV-1611) Num 14:24 Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 14:25 ============ Num 14:25 (Now the Amalekites and the Canaanites dwelt in the valley.) Tomorrow turn you, and get you into the wilderness by the way of the Red sea.(KJV-1611) Num 14:25 Y'a rete nan plenn kote moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo rete koulye a. Denmen n'ap fè bak, n'a tounen nan dezè a ankò nan direksyon Lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Numbers 14:26 ============ Num 14:26 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Num 14:26 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 14:27 ============ Num 14:27 How long shall I bear with this evil congregation, which murmur against me? I have heard the murmurings of the children of Israel, which they murmur against me.(KJV-1611) Num 14:27 -Kilè bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m' mal.(Creole-HT) ======= Numbers 14:28 ============ Num 14:28 Say unto them, As truly as I live, saith the LORD, as ye have spoken in mine ears, so will I do to you:(KJV-1611) Num 14:28 Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.(Creole-HT) ======= Numbers 14:29 ============ Num 14:29 Your carcases shall fall in this wilderness; and all that were numbered of you, according to your whole number, from twenty years old and upward which have murmured against me.(KJV-1611) Num 14:29 Y'ap antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:30 ============ Num 14:30 Doubtless ye shall not come into the land, concerning which I sware to make you dwell therein, save Caleb the son of Jephunneh, and Joshua the son of Nun.(KJV-1611) Num 14:30 Dakò! Mwen te fè sèman mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan.(Creole-HT) ======= Numbers 14:31 ============ Num 14:31 But your little ones, which ye said should be a prey, them will I bring in, and they shall know the land which ye have despised.(KJV-1611) Num 14:31 Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an.(Creole-HT) ======= Numbers 14:32 ============ Num 14:32 But as for you, your carcases, they shall fall in this wilderness.(KJV-1611) Num 14:32 Men, nou menm y'ap antere kadav nou yo isit nan dezè a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:33 ============ Num 14:33 And your children shall wander in the wilderness forty years, and bear your whoredoms, until your carcases be wasted in the wilderness.(KJV-1611) Num 14:33 Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:34 ============ Num 14:34 After the number of the days in which ye searched the land, even forty days, each day for a year, shall ye bear your iniquities, even forty years, and ye shall know my breach of promise.(KJV-1611) Num 14:34 Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.(Creole-HT) ======= Numbers 14:35 ============ Num 14:35 I the LORD have said, I will surely do it unto all this evil congregation, that are gathered together against me: in this wilderness they shall be consumed, and there they shall die.(KJV-1611) Num 14:35 Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 14:36 ============ Num 14:36 And the men, which Moses sent to search the land, who returned, and made all the congregation to murmur against him, by bringing up a slander upon the land,(KJV-1611) Num 14:36 Mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an.(Creole-HT) ======= Numbers 14:37 ============ Num 14:37 Even those men that did bring up the evil report upon the land, died by the plague before the LORD.(KJV-1611) Num 14:37 Se konsa yon sèl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frèt devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:38 ============ Num 14:38 But Joshua the son of Nun, and Caleb the son of Jephunneh, which were of the men that went to search the land, lived still.(KJV-1611) Num 14:38 Nan douz mesye ki te al vizite peyi a, se de sèlman ki pa t' mouri: se te Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a.(Creole-HT) ======= Numbers 14:39 ============ Num 14:39 And Moses told these sayings unto all the children of Israel: and the people mourned greatly.(KJV-1611) Num 14:39 Lè Moyiz di moun pèp Izrayèl yo tout pawòl sa yo, sa te fè yo lapenn anpil.(Creole-HT) ======= Numbers 14:40 ============ Num 14:40 And they rose up early in the morning, and gat them up into the top of the mountain, saying, Lo, we be here, and will go up unto the place which the LORD hath promised: for we have sinned.(KJV-1611) Num 14:40 Nan denmen maten, byen bònè, yo leve pou y' al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di: -Men nou! Nou pare pou n' ale kote Seyè a di pou n' ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal.(Creole-HT) ======= Numbers 14:41 ============ Num 14:41 And Moses said, Wherefore now do ye transgress the commandment of the LORD? but it shall not prosper.(KJV-1611) Num 14:41 Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a!(Creole-HT) ======= Numbers 14:42 ============ Num 14:42 Go not up, for the LORD is not among you; that ye be not smitten before your enemies.(KJV-1611) Num 14:42 Piga nou moute. Seyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.(Creole-HT) ======= Numbers 14:43 ============ Num 14:43 For the Amalekites and the Canaanites are there before you, and ye shall fall by the sword: because ye are turned away from the LORD, therefore the LORD will not be with you.(KJV-1611) Num 14:43 Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.(Creole-HT) ======= Numbers 14:44 ============ Num 14:44 But they presumed to go up unto the hill top: nevertheless the ark of the covenant of the LORD, and Moses, departed not out of the camp.(KJV-1611) Num 14:44 Pèp la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Seyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an.(Creole-HT) ======= Numbers 14:45 ============ Num 14:45 Then the Amalekites came down, and the Canaanites which dwelt in that hill, and smote them, and discomfited them, even unto Hormah.(KJV-1611) Num 14:45 Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.(Creole-HT) ======= Numbers 15:1 ============ Num 15:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 15:1 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 15:2 ============ Num 15:2 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye be come into the land of your habitations, which I give unto you,(KJV-1611) Num 15:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a,(Creole-HT) ======= Numbers 15:3 ============ Num 15:3 And will make an offering by fire unto the LORD, a burnt offering, or a sacrifice in performing a vow, or in a freewill offering, or in your solemn feasts, to make a sweet savour unto the LORD, of the herd or of the flock:(KJV-1611) Num 15:3 lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,(Creole-HT) ======= Numbers 15:4 ============ Num 15:4 Then shall he that offereth his offering unto the LORD bring a meat offering of a tenth deal of flour mingled with the fourth part of an hin of oil.(KJV-1611) Num 15:4 wi, lè n'ap fè ofrann konsa pou Seyè a, n'a fè ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sèt ti mamit farin frans melanje avèk de boutèy ka plen lwil oliv.(Creole-HT) ======= Numbers 15:5 ============ Num 15:5 And the fourth part of an hin of wine for a drink offering shalt thou prepare with the burnt offering or sacrifice, for one lamb.(KJV-1611) Num 15:5 Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.(Creole-HT) ======= Numbers 15:6 ============ Num 15:6 Or for a ram, thou shalt prepare for a meat offering two tenth deals of flour mingled with the third part of an hin of oil.(KJV-1611) Num 15:6 Lè se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden,(Creole-HT) ======= Numbers 15:7 ============ Num 15:7 And for a drink offering thou shalt offer the third part of an hin of wine, for a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Num 15:7 ansanm ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y'a fè Seyè a plezi ak bon sant yo.(Creole-HT) ======= Numbers 15:8 ============ Num 15:8 And when thou preparest a bullock for a burnt offering, or for a sacrifice in performing a vow, or peace offerings unto the LORD:(KJV-1611) Num 15:8 Lè se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Seyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi,(Creole-HT) ======= Numbers 15:9 ============ Num 15:9 Then shall he bring with a bullock a meat offering of three tenth deals of flour mingled with half an hin of oil.(KJV-1611) Num 15:9 se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv.(Creole-HT) ======= Numbers 15:10 ============ Num 15:10 And thou shalt bring for a drink offering half an hin of wine, for an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Num 15:10 Lèfini, n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Numbers 15:11 ============ Num 15:11 Thus shall it be done for one bullock, or for one ram, or for a lamb, or a kid.(KJV-1611) Num 15:11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri.(Creole-HT) ======= Numbers 15:12 ============ Num 15:12 According to the number that ye shall prepare, so shall ye do to every one according to their number.(KJV-1611) Num 15:12 Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:13 ============ Num 15:13 All that are born of the country shall do these things after this manner, in offering an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Num 15:13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l' lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Numbers 15:14 ============ Num 15:14 And if a stranger sojourn with you, or whosoever be among you in your generations, and will offer an offering made by fire, of a sweet savour unto the LORD; as ye do, so he shall do.(KJV-1611) Num 15:14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou.(Creole-HT) ======= Numbers 15:15 ============ Num 15:15 One ordinance shall be both for you of the congregation, and also for the stranger that sojourneth with you, an ordinance for ever in your generations: as ye are, so shall the stranger be before the LORD.(KJV-1611) Num 15:15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:16 ============ Num 15:16 One law and one manner shall be for you, and for the stranger that sojourneth with you.(KJV-1611) Num 15:16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 15:17 ============ Num 15:17 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 15:17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 15:18 ============ Num 15:18 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land whither I bring you,(KJV-1611) Num 15:18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an,(Creole-HT) ======= Numbers 15:19 ============ Num 15:19 Then it shall be, that, when ye eat of the bread of the land, ye shall offer up an heave offering unto the LORD.(KJV-1611) Num 15:19 lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado.(Creole-HT) ======= Numbers 15:20 ============ Num 15:20 Ye shall offer up a cake of the first of your dough for an heave offering: as ye do the heave offering of the threshingfloor, so shall ye heave it.(KJV-1611) Num 15:20 Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi.(Creole-HT) ======= Numbers 15:21 ============ Num 15:21 Of the first of your dough ye shall give unto the LORD an heave offering in your generations.(KJV-1611) Num 15:21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= Numbers 15:22 ============ Num 15:22 And if ye have erred, and not observed all these commandments, which the LORD hath spoken unto Moses,(KJV-1611) Num 15:22 Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo,(Creole-HT) ======= Numbers 15:23 ============ Num 15:23 Even all that the LORD hath commanded you by the hand of Moses, from the day that the LORD commanded Moses, and henceforward among your generations;(KJV-1611) Num 15:23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:(Creole-HT) ======= Numbers 15:24 ============ Num 15:24 Then it shall be, if ought be committed by ignorance without the knowledge of the congregation, that all the congregation shall offer one young bullock for a burnt offering, for a sweet savour unto the LORD, with his meat offering, and his drink offering, according to the manner, and one kid of the goats for a sin offering.(KJV-1611) Num 15:24 Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Numbers 15:25 ============ Num 15:25 And the priest shall make an atonement for all the congregation of the children of Israel, and it shall be forgiven them; for it is ignorance: and they shall bring their offering, a sacrifice made by fire unto the LORD, and their sin offering before the LORD, for their ignorance:(KJV-1611) Num 15:25 Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t' fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t' fè espre a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:26 ============ Num 15:26 And it shall be forgiven all the congregation of the children of Israel, and the stranger that sojourneth among them; seeing all the people were in ignorance.(KJV-1611) Num 15:26 Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an.(Creole-HT) ======= Numbers 15:27 ============ Num 15:27 And if any soul sin through ignorance, then he shall bring a she goat of the first year for a sin offering.(KJV-1611) Num 15:27 Si se yon moun ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l' ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:28 ============ Num 15:28 And the priest shall make an atonement for the soul that sinneth ignorantly, when he sinneth by ignorance before the LORD, to make an atonement for him; and it shall be forgiven him.(KJV-1611) Num 15:28 Prèt la va pote ofrann lan devan Seyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pa t' fè espre a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:29 ============ Num 15:29 Ye shall have one law for him that sinneth through ignorance, both for him that is born among the children of Israel, and for the stranger that sojourneth among them.(KJV-1611) Num 15:29 Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:30 ============ Num 15:30 But the soul that doeth ought presumptuously, whether he be born in the land, or a stranger, the same reproacheth the LORD; and that soul shall be cut off from among his people.(KJV-1611) Num 15:30 Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 15:31 ============ Num 15:31 Because he hath despised the word of the LORD, and hath broken his commandment, that soul shall utterly be cut off; his iniquity shall be upon him.(KJV-1611) Num 15:31 Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.(Creole-HT) ======= Numbers 15:32 ============ Num 15:32 And while the children of Israel were in the wilderness, they found a man that gathered sticks upon the sabbath day.(KJV-1611) Num 15:32 Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.(Creole-HT) ======= Numbers 15:33 ============ Num 15:33 And they that found him gathering sticks brought him unto Moses and Aaron, and unto all the congregation.(KJV-1611) Num 15:33 Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 15:34 ============ Num 15:34 And they put him in ward, because it was not declared what should be done to him.(KJV-1611) Num 15:34 Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 15:35 ============ Num 15:35 And the LORD said unto Moses, The man shall be surely put to death: all the congregation shall stone him with stones without the camp.(KJV-1611) Num 15:35 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 15:36 ============ Num 15:36 And all the congregation brought him without the camp, and stoned him with stones, and he died; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 15:36 Se konsa tout moun yo fè msye soti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wòch jouk li mouri, jan Seyè a te ba yo lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 15:37 ============ Num 15:37 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 15:37 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 15:38 ============ Num 15:38 Speak unto the children of Israel, and bid them that they make them fringes in the borders of their garments throughout their generations, and that they put upon the fringe of the borders a ribband of blue:(KJV-1611) Num 15:38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit.(Creole-HT) ======= Numbers 15:39 ============ Num 15:39 And it shall be unto you for a fringe, that ye may look upon it, and remember all the commandments of the LORD, and do them; and that ye seek not after your own heart and your own eyes, after which ye use to go a whoring:(KJV-1611) Num 15:39 Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.(Creole-HT) ======= Numbers 15:40 ============ Num 15:40 That ye may remember, and do all my commandments, and be holy unto your God.(KJV-1611) Num 15:40 Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Numbers 15:41 ============ Num 15:41 I am the LORD your God, which brought you out of the land of Egypt, to be your God: I am the LORD your God.(KJV-1611) Num 15:41 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Numbers 16:1 ============ Num 16:1 Now Korah, the son of Izhar, the son of Kohath, the son of Levi, and Dathan and Abiram, the sons of Eliab, and On, the son of Peleth, sons of Reuben, took men:(KJV-1611) Num 16:1 Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn.(Creole-HT) ======= Numbers 16:2 ============ Num 16:2 And they rose up before Moses, with certain of the children of Israel, two hundred and fifty princes of the assembly, famous in the congregation, men of renown:(KJV-1611) Num 16:2 Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.(Creole-HT) ======= Numbers 16:3 ============ Num 16:3 And they gathered themselves together against Moses and against Aaron, and said unto them, Ye take too much upon you, seeing all the congregation are holy, every one of them, and the LORD is among them: wherefore then lift ye up yourselves above the congregation of the LORD?(KJV-1611) Num 16:3 Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?(Creole-HT) ======= Numbers 16:4 ============ Num 16:4 And when Moses heard it, he fell upon his face:(KJV-1611) Num 16:4 Lè Moyiz tande sa, li lage kò l' atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l' yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 16:5 ============ Num 16:5 And he spake unto Korah and unto all his company, saying, Even to morrow the LORD will shew who are his, and who is holy; and will cause him to come near unto him: even him whom he hath chosen will he cause to come near unto him.(KJV-1611) Num 16:5 -Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.(Creole-HT) ======= Numbers 16:6 ============ Num 16:6 This do; Take you censers, Korah, and all his company;(KJV-1611) Num 16:6 Men sa pou n' fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife.(Creole-HT) ======= Numbers 16:7 ============ Num 16:7 And put fire therein, and put incense in them before the LORD to morrow: and it shall be that the man whom the LORD doth choose, he shall be holy: ye take too much upon you, ye sons of Levi.(KJV-1611) Num 16:7 Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l' la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotèl Seyè a. Konsa, moun Seyè a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou l' a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen koulye a!(Creole-HT) ======= Numbers 16:8 ============ Num 16:8 And Moses said unto Korah, Hear, I pray you, ye sons of Levi:(KJV-1611) Num 16:8 Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo!(Creole-HT) ======= Numbers 16:9 ============ Num 16:9 Seemeth it but a small thing unto you, that the God of Israel hath separated you from the congregation of Israel, to bring you near to himself to do the service of the tabernacle of the LORD, and to stand before the congregation to minister unto them?(KJV-1611) Num 16:9 Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:10 ============ Num 16:10 And he hath brought thee near to him, and all thy brethren the sons of Levi with thee: and seek ye the priesthood also?(KJV-1611) Num 16:10 Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!(Creole-HT) ======= Numbers 16:11 ============ Num 16:11 For which cause both thou and all thy company are gathered together against the LORD: and what is Aaron, that ye murmur against him?(KJV-1611) Num 16:11 Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.(Creole-HT) ======= Numbers 16:12 ============ Num 16:12 And Moses sent to call Dathan and Abiram, the sons of Eliab: which said, We will not come up:(KJV-1611) Num 16:12 Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p'ap vini.(Creole-HT) ======= Numbers 16:13 ============ Num 16:13 Is it a small thing that thou hast brought us up out of a land that floweth with milk and honey, to kill us in the wilderness, except thou make thyself altogether a prince over us?(KJV-1611) Num 16:13 Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!(Creole-HT) ======= Numbers 16:14 ============ Num 16:14 Moreover thou hast not brought us into a land that floweth with milk and honey, or given us inheritance of fields and vineyards: wilt thou put out the eyes of these men? we will not come up.(KJV-1611) Num 16:14 Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini.(Creole-HT) ======= Numbers 16:15 ============ Num 16:15 And Moses was very wroth, and said unto the LORD, Respect not thou their offering: I have not taken one ass from them, neither have I hurt one of them.(KJV-1611) Num 16:15 Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 16:16 ============ Num 16:16 And Moses said unto Korah, Be thou and all thy company before the LORD, thou, and they, and Aaron, to morrow:(KJV-1611) Num 16:16 Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotèl Seyè a. Arawon va la tou.(Creole-HT) ======= Numbers 16:17 ============ Num 16:17 And take every man his censer, and put incense in them, and bring ye before the LORD every man his censer, two hundred and fifty censers; thou also, and Aaron, each of you his censer.(KJV-1611) Num 16:17 Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l', epi y'a pote recho yo devan Seyè a. Sa va fè desansenkant recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou.(Creole-HT) ======= Numbers 16:18 ============ Num 16:18 And they took every man his censer, and put fire in them, and laid incense thereon, and stood in the door of the tabernacle of the congregation with Moses and Aaron.(KJV-1611) Num 16:18 Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l', yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon.(Creole-HT) ======= Numbers 16:19 ============ Num 16:19 And Korah gathered all the congregation against them unto the door of the tabernacle of the congregation: and the glory of the LORD appeared unto all the congregation.(KJV-1611) Num 16:19 Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 16:20 ============ Num 16:20 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Num 16:20 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:(Creole-HT) ======= Numbers 16:21 ============ Num 16:21 Separate yourselves from among this congregation, that I may consume them in a moment.(KJV-1611) Num 16:21 -Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a.(Creole-HT) ======= Numbers 16:22 ============ Num 16:22 And they fell upon their faces, and said, O God, the God of the spirits of all flesh, shall one man sin, and wilt thou be wroth with all the congregation?(KJV-1611) Num 16:22 Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 16:23 ============ Num 16:23 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 16:23 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 16:24 ============ Num 16:24 Speak unto the congregation, saying, Get you up from about the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram.(KJV-1611) Num 16:24 -Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a.(Creole-HT) ======= Numbers 16:25 ============ Num 16:25 And Moses rose up and went unto Dathan and Abiram; and the elders of Israel followed him.(KJV-1611) Num 16:25 Moyiz leve, l' al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l' tou.(Creole-HT) ======= Numbers 16:26 ============ Num 16:26 And he spake unto the congregation, saying, Depart, I pray you, from the tents of these wicked men, and touch nothing of their's, lest ye be consumed in all their sins.(KJV-1611) Num 16:26 Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 16:27 ============ Num 16:27 So they gat up from the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram, on every side: and Dathan and Abiram came out, and stood in the door of their tents, and their wives, and their sons, and their little children.(KJV-1611) Num 16:27 Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:28 ============ Num 16:28 And Moses said, Hereby ye shall know that the LORD hath sent me to do all these works; for I have not done them of mine own mind.(KJV-1611) Num 16:28 Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m' fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:29 ============ Num 16:29 If these men die the common death of all men, or if they be visited after the visitation of all men; then the LORD hath not sent me.(KJV-1611) Num 16:29 Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m'.(Creole-HT) ======= Numbers 16:30 ============ Num 16:30 But if the LORD make a new thing, and the earth open her mouth, and swallow them up, with all that appertain unto them, and they go down quick into the pit; then ye shall understand that these men have provoked the LORD.(KJV-1611) Num 16:30 Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa.(Creole-HT) ======= Numbers 16:31 ============ Num 16:31 And it came to pass, as he had made an end of speaking all these words, that the ground clave asunder that was under them:(KJV-1611) Num 16:31 Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram.(Creole-HT) ======= Numbers 16:32 ============ Num 16:32 And the earth opened her mouth, and swallowed them up, and their houses, and all the men that appertained unto Korah, and all their goods.(KJV-1611) Num 16:32 Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:33 ============ Num 16:33 They, and all that appertained to them, went down alive into the pit, and the earth closed upon them: and they perished from among the congregation.(KJV-1611) Num 16:33 Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 16:34 ============ Num 16:34 And all Israel that were round about them fled at the cry of them: for they said, Lest the earth swallow us up also.(KJV-1611) Num 16:34 Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.(Creole-HT) ======= Numbers 16:35 ============ Num 16:35 And there came out a fire from the LORD, and consumed the two hundred and fifty men that offered incense.(KJV-1611) Num 16:35 Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant mesye ki t'ap ofri lansan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:36 ============ Num 16:36 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 16:36 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 16:37 ============ Num 16:37 Speak unto Eleazar the son of Aaron the priest, that he take up the censers out of the burning, and scatter thou the fire yonder; for they are hallowed.(KJV-1611) Num 16:37 -Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l' ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 16:38 ============ Num 16:38 The censers of these sinners against their own souls, let them make them broad plates for a covering of the altar: for they offered them before the LORD, therefore they are hallowed: and they shall be a sign unto the children of Israel.(KJV-1611) Num 16:38 Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:39 ============ Num 16:39 And Eleazar the priest took the brasen censers, wherewith they that were burnt had offered; and they were made broad plates for a covering of the altar:(KJV-1611) Num 16:39 Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la(Creole-HT) ======= Numbers 16:40 ============ Num 16:40 To be a memorial unto the children of Israel, that no stranger, which is not of the seed of Aaron, come near to offer incense before the LORD; that he be not as Korah, and as his company: as the LORD said to him by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 16:40 pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.(Creole-HT) ======= Numbers 16:41 ============ Num 16:41 But on the morrow all the congregation of the children of Israel murmured against Moses and against Aaron, saying, Ye have killed the people of the LORD.(KJV-1611) Num 16:41 Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa.(Creole-HT) ======= Numbers 16:42 ============ Num 16:42 And it came to pass, when the congregation was gathered against Moses and against Aaron, that they looked toward the tabernacle of the congregation: and, behold, the cloud covered it, and the glory of the LORD appeared.(KJV-1611) Num 16:42 Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè.(Creole-HT) ======= Numbers 16:43 ============ Num 16:43 And Moses and Aaron came before the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 16:43 Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 16:44 ============ Num 16:44 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 16:44 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 16:45 ============ Num 16:45 Get you up from among this congregation, that I may consume them as in a moment. And they fell upon their faces.(KJV-1611) Num 16:45 -Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè.(Creole-HT) ======= Numbers 16:46 ============ Num 16:46 And Moses said unto Aaron, Take a censer, and put fire therein from off the altar, and put on incense, and go quickly unto the congregation, and make an atonement for them: for there is wrath gone out from the LORD; the plague is begun.(KJV-1611) Num 16:46 Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja.(Creole-HT) ======= Numbers 16:47 ============ Num 16:47 And Aaron took as Moses commanded, and ran into the midst of the congregation; and, behold, the plague was begun among the people: and he put on incense, and made an atonement for the people.(KJV-1611) Num 16:47 Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l' fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:48 ============ Num 16:48 And he stood between the dead and the living; and the plague was stayed.(KJV-1611) Num 16:48 Se konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Numbers 16:49 ============ Num 16:49 Now they that died in the plague were fourteen thousand and seven hundred, beside them that died about the matter of Korah.(KJV-1611) Num 16:49 Te gen katòzmil sètsan moun antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.(Creole-HT) ======= Numbers 16:50 ============ Num 16:50 And Aaron returned unto Moses unto the door of the tabernacle of the congregation: and the plague was stayed.(KJV-1611) Num 16:50 Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 17:1 ============ Num 17:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 17:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 17:2 ============ Num 17:2 Speak unto the children of Israel, and take of every one of them a rod according to the house of their fathers, of all their princes according to the house of their fathers twelve rods: write thou every man's name upon his rod.(KJV-1611) Num 17:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 17:3 ============ Num 17:3 And thou shalt write Aaron's name upon the rod of Levi: for one rod shall be for the head of the house of their fathers.(KJV-1611) Num 17:3 W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.(Creole-HT) ======= Numbers 17:4 ============ Num 17:4 And thou shalt lay them up in the tabernacle of the congregation before the testimony, where I will meet with you.(KJV-1611) Num 17:4 W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 17:5 ============ Num 17:5 And it shall come to pass, that the man's rod, whom I shall choose, shall blossom: and I will make to cease from me the murmurings of the children of Israel, whereby they murmur against you.(KJV-1611) Num 17:5 Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.(Creole-HT) ======= Numbers 17:6 ============ Num 17:6 And Moses spake unto the children of Israel, and every one of their princes gave him a rod apiece, for each prince one, according to their fathers' houses, even twelve rods: and the rod of Aaron was among their rods.(KJV-1611) Num 17:6 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 17:7 ============ Num 17:7 And Moses laid up the rods before the LORD in the tabernacle of witness.(KJV-1611) Num 17:7 Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 17:8 ============ Num 17:8 And it came to pass, that on the morrow Moses went into the tabernacle of witness; and, behold, the rod of Aaron for the house of Levi was budded, and brought forth buds, and bloomed blossoms, and yielded almonds.(KJV-1611) Num 17:8 Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.(Creole-HT) ======= Numbers 17:9 ============ Num 17:9 And Moses brought out all the rods from before the LORD unto all the children of Israel: and they looked, and took every man his rod.(KJV-1611) Num 17:9 Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 17:10 ============ Num 17:10 And the LORD said unto Moses, Bring Aaron's rod again before the testimony, to be kept for a token against the rebels; and thou shalt quite take away their murmurings from me, that they die not.(KJV-1611) Num 17:10 Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!(Creole-HT) ======= Numbers 17:11 ============ Num 17:11 And Moses did so: as the LORD commanded him, so did he.(KJV-1611) Num 17:11 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 17:12 ============ Num 17:12 And the children of Israel spake unto Moses, saying, Behold, we die, we perish, we all perish.(KJV-1611) Num 17:12 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini.(Creole-HT) ======= Numbers 17:13 ============ Num 17:13 Whosoever cometh any thing near unto the tabernacle of the LORD shall die: shall we be consumed with dying?(KJV-1611) Num 17:13 Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!(Creole-HT) ======= Numbers 18:1 ============ Num 18:1 And the LORD said unto Aaron, Thou and thy sons and thy father's house with thee shall bear the iniquity of the sanctuary: and thou and thy sons with thee shall bear the iniquity of your priesthood.(KJV-1611) Num 18:1 Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:2 ============ Num 18:2 And thy brethren also of the tribe of Levi, the tribe of thy father, bring thou with thee, that they may be joined unto thee, and minister unto thee: but thou and thy sons with thee shall minister before the tabernacle of witness.(KJV-1611) Num 18:2 W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:3 ============ Num 18:3 And they shall keep thy charge, and the charge of all the tabernacle: only they shall not come nigh the vessels of the sanctuary and the altar, that neither they, nor ye also, die.(KJV-1611) Num 18:3 Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 18:4 ============ Num 18:4 And they shall be joined unto thee, and keep the charge of the tabernacle of the congregation, for all the service of the tabernacle: and a stranger shall not come nigh unto you.(KJV-1611) Num 18:4 Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pesonn lòt pa gen dwa travay avè ou.(Creole-HT) ======= Numbers 18:5 ============ Num 18:5 And ye shall keep the charge of the sanctuary, and the charge of the altar: that there be no wrath any more upon the children of Israel.(KJV-1611) Num 18:5 Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 18:6 ============ Num 18:6 And I, behold, I have taken your brethren the Levites from among the children of Israel: to you they are given as a gift for the LORD, to do the service of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 18:6 Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:7 ============ Num 18:7 Therefore thou and thy sons with thee shall keep your priest's office for everything of the altar, and within the vail; and ye shall serve: I have given your priest's office unto you as a service of gift: and the stranger that cometh nigh shall be put to death.(KJV-1611) Num 18:7 Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.(Creole-HT) ======= Numbers 18:8 ============ Num 18:8 And the LORD spake unto Aaron, Behold, I also have given thee the charge of mine heave offerings of all the hallowed things of the children of Israel; unto thee have I given them by reason of the anointing, and to thy sons, by an ordinance for ever.(KJV-1611) Num 18:8 Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.(Creole-HT) ======= Numbers 18:9 ============ Num 18:9 This shall be thine of the most holy things, reserved from the fire: every oblation of theirs, every meat offering of theirs, and every sin offering of theirs, and every trespass offering of theirs which they shall render unto me, shall be most holy for thee and for thy sons.(KJV-1611) Num 18:9 Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.(Creole-HT) ======= Numbers 18:10 ============ Num 18:10 In the most holy place shalt thou eat it; every male shall eat it: it shall be holy unto thee.(KJV-1611) Num 18:10 N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:11 ============ Num 18:11 And this is thine; the heave offering of their gift, with all the wave offerings of the children of Israel: I have given them unto thee, and to thy sons and to thy daughters with thee, by a statute for ever: every one that is clean in thy house shall eat of it.(KJV-1611) Num 18:11 Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'.(Creole-HT) ======= Numbers 18:12 ============ Num 18:12 All the best of the oil, and all the best of the wine, and of the wheat, the firstfruits of them which they shall offer unto the LORD, them have I given thee.(KJV-1611) Num 18:12 M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.(Creole-HT) ======= Numbers 18:13 ============ Num 18:13 And whatsoever is first ripe in the land, which they shall bring unto the LORD, shall be thine; every one that is clean in thine house shall eat of it.(KJV-1611) Num 18:13 Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 18:14 ============ Num 18:14 Every thing devoted in Israel shall be thine.(KJV-1611) Num 18:14 Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou.(Creole-HT) ======= Numbers 18:15 ============ Num 18:15 Every thing that openeth the matrix in all flesh, which they bring unto the LORD, whether it be of men or beasts, shall be thine: nevertheless the firstborn of man shalt thou surely redeem, and the firstling of unclean beasts shalt thou redeem.(KJV-1611) Num 18:15 Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 18:16 ============ Num 18:16 And those that are to be redeemed from a month old shalt thou redeem, according to thine estimation, for the money of five shekels, after the shekel of the sanctuary, which is twenty gerahs.(KJV-1611) Num 18:16 Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-,pou yo ka achte lavi l' nan men m'.(Creole-HT) ======= Numbers 18:17 ============ Num 18:17 But the firstling of a cow, or the firstling of a sheep, or the firstling of a goat, thou shalt not redeem; they are holy: thou shalt sprinkle their blood upon the altar, and shalt burn their fat for an offering made by fire, for a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Num 18:17 Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Numbers 18:18 ============ Num 18:18 And the flesh of them shall be thine, as the wave breast and as the right shoulder are thine.(KJV-1611) Num 18:18 Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:19 ============ Num 18:19 All the heave offerings of the holy things, which the children of Israel offer unto the LORD, have I given thee, and thy sons and thy daughters with thee, by a statute for ever: it is a covenant of salt for ever before the LORD unto thee and to thy seed with thee.(KJV-1611) Num 18:19 M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.(Creole-HT) ======= Numbers 18:20 ============ Num 18:20 And the LORD spake unto Aaron, Thou shalt have no inheritance in their land, neither shalt thou have any part among them: I am thy part and thine inheritance among the children of Israel.(KJV-1611) Num 18:20 Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 18:21 ============ Num 18:21 And, behold, I have given the children of Levi all the tenth in Israel for an inheritance, for their service which they serve, even the service of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 18:21 Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:22 ============ Num 18:22 Neither must the children of Israel henceforth come nigh the tabernacle of the congregation, lest they bear sin, and die.(KJV-1611) Num 18:22 Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 18:23 ============ Num 18:23 But the Levites shall do the service of the tabernacle of the congregation, and they shall bear their iniquity: it shall be a statute for ever throughout your generations, that among the children of Israel they have no inheritance.(KJV-1611) Num 18:23 Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 18:24 ============ Num 18:24 But the tithes of the children of Israel, which they offer as an heave offering unto the LORD, I have given to the Levites to inherit: therefore I have said unto them, Among the children of Israel they shall have no inheritance.(KJV-1611) Num 18:24 M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 18:25 ============ Num 18:25 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 18:25 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':(Creole-HT) ======= Numbers 18:26 ============ Num 18:26 Thus speak unto the Levites, and say unto them, When ye take of the children of Israel the tithes which I have given you from them for your inheritance, then ye shall offer up an heave offering of it for the LORD, even a tenth part of the tithe.(KJV-1611) Num 18:26 -Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:27 ============ Num 18:27 And this your heave offering shall be reckoned unto you, as though it were the corn of the threshingfloor, and as the fulness of the winepress.(KJV-1611) Num 18:27 Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.(Creole-HT) ======= Numbers 18:28 ============ Num 18:28 Thus ye also shall offer an heave offering unto the LORD of all your tithes, which ye receive of the children of Israel; and ye shall give thereof the LORD's heave offering to Aaron the priest.(KJV-1611) Num 18:28 Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li.(Creole-HT) ======= Numbers 18:29 ============ Num 18:29 Out of all your gifts ye shall offer every heave offering of the LORD, of all the best thereof, even the hallowed part thereof out of it.(KJV-1611) Num 18:29 N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:30 ============ Num 18:30 Therefore thou shalt say unto them, When ye have heaved the best thereof from it, then it shall be counted unto the Levites as the increase of the threshingfloor, and as the increase of the winepress.(KJV-1611) Num 18:30 W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè.(Creole-HT) ======= Numbers 18:31 ============ Num 18:31 And ye shall eat it in every place, ye and your households: for it is your reward for your service in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 18:31 Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 18:32 ============ Num 18:32 And ye shall bear no sin by reason of it, when ye have heaved from it the best of it: neither shall ye pollute the holy things of the children of Israel, lest ye die.(KJV-1611) Num 18:32 Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 19:1 ============ Num 19:1 And the LORD spake unto Moses and unto Aaron, saying,(KJV-1611) Num 19:1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 19:2 ============ Num 19:2 This is the ordinance of the law which the LORD hath commanded, saying, Speak unto the children of Israel, that they bring thee a red heifer without spot, wherein is no blemish, and upon which never came yoke:(KJV-1611) Num 19:2 -Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.(Creole-HT) ======= Numbers 19:3 ============ Num 19:3 And ye shall give her unto Eleazar the priest, that he may bring her forth without the camp, and one shall slay her before his face:(KJV-1611) Num 19:3 W'a renmèt Eleaza, prèt la, li. L'a fè l' soti andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fè yo touye l' devan je li.(Creole-HT) ======= Numbers 19:4 ============ Num 19:4 And Eleazar the priest shall take of her blood with his finger, and sprinkle of her blood directly before the tabernacle of the congregation seven times:(KJV-1611) Num 19:4 Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Numbers 19:5 ============ Num 19:5 And one shall burn the heifer in his sight; her skin, and her flesh, and her blood, with her dung, shall he burn:(KJV-1611) Num 19:5 Lèfini, y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la.(Creole-HT) ======= Numbers 19:6 ============ Num 19:6 And the priest shall take cedar wood, and hyssop, and scarlet, and cast it into the midst of the burning of the heifer.(KJV-1611) Num 19:6 Prèt la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a.(Creole-HT) ======= Numbers 19:7 ============ Num 19:7 Then the priest shall wash his clothes, and he shall bathe his flesh in water, and afterward he shall come into the camp, and the priest shall be unclean until the even.(KJV-1611) Num 19:7 Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Numbers 19:8 ============ Num 19:8 And he that burneth her shall wash his clothes in water, and bathe his flesh in water, and shall be unclean until the even.(KJV-1611) Num 19:8 Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Numbers 19:9 ============ Num 19:9 And a man that is clean shall gather up the ashes of the heifer, and lay them up without the camp in a clean place, and it shall be kept for the congregation of the children of Israel for a water of separation: it is a purification for sin.(KJV-1611) Num 19:9 Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Numbers 19:10 ============ Num 19:10 And he that gathereth the ashes of the heifer shall wash his clothes, and be unclean until the even: and it shall be unto the children of Israel, and unto the stranger that sojourneth among them, for a statute for ever.(KJV-1611) Num 19:10 Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 19:11 ============ Num 19:11 He that toucheth the dead body of any man shall be unclean seven days.(KJV-1611) Num 19:11 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 19:12 ============ Num 19:12 He shall purify himself with it on the third day, and on the seventh day he shall be clean: but if he purify not himself the third day, then the seventh day he shall not be clean.(KJV-1611) Num 19:12 L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 19:13 ============ Num 19:13 Whosoever toucheth the dead body of any man that is dead, and purifieth not himself, defileth the tabernacle of the LORD; and that soul shall be cut off from Israel: because the water of separation was not sprinkled upon him, he shall be unclean; his uncleanness is yet upon him.(KJV-1611) Num 19:13 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 19:14 ============ Num 19:14 This is the law, when a man dieth in a tent: all that come into the tent, and all that is in the tent, shall be unclean seven days.(KJV-1611) Num 19:14 Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Numbers 19:15 ============ Num 19:15 And every open vessel, which hath no covering bound upon it, is unclean.(KJV-1611) Num 19:15 Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 19:16 ============ Num 19:16 And whosoever toucheth one that is slain with a sword in the open fields, or a dead body, or a bone of a man, or a grave, shall be unclean seven days.(KJV-1611) Num 19:16 Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Numbers 19:17 ============ Num 19:17 And for an unclean person they shall take of the ashes of the burnt heifer of purification for sin, and running water shall be put thereto in a vessel:(KJV-1611) Num 19:17 Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li.(Creole-HT) ======= Numbers 19:18 ============ Num 19:18 And a clean person shall take hyssop, and dip it in the water, and sprinkle it upon the tent, and upon all the vessels, and upon the persons that were there, and upon him that touched a bone, or one slain, or one dead, or a grave:(KJV-1611) Num 19:18 Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 19:19 ============ Num 19:19 And the clean person shall sprinkle upon the unclean on the third day, and on the seventh day: and on the seventh day he shall purify himself, and wash his clothes, and bathe himself in water, and shall be clean at even.(KJV-1611) Num 19:19 Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 19:20 ============ Num 19:20 But the man that shall be unclean, and shall not purify himself, that soul shall be cut off from among the congregation, because he hath defiled the sanctuary of the LORD: the water of separation hath not been sprinkled upon him; he is unclean.(KJV-1611) Num 19:20 Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 19:21 ============ Num 19:21 And it shall be a perpetual statute unto them, that he that sprinkleth the water of separation shall wash his clothes; and he that toucheth the water of separation shall be unclean until even.(KJV-1611) Num 19:21 Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a.(Creole-HT) ======= Numbers 19:22 ============ Num 19:22 And whatsoever the unclean person toucheth shall be unclean; and the soul that toucheth it shall be unclean until even.(KJV-1611) Num 19:22 Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.(Creole-HT) ======= Numbers 20:1 ============ Num 20:1 Then came the children of Israel, even the whole congregation, into the desert of Zin in the first month: and the people abode in Kadesh; and Miriam died there, and was buried there.(KJV-1611) Num 20:1 Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'.(Creole-HT) ======= Numbers 20:2 ============ Num 20:2 And there was no water for the congregation: and they gathered themselves together against Moses and against Aaron.(KJV-1611) Num 20:2 Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:3 ============ Num 20:3 And the people chode with Moses, and spake, saying, Would God that we had died when our brethren died before the LORD!(KJV-1611) Num 20:3 Pèp la fè kont ak Moyiz, yo di l' konsa: -Pa pito nou te mouri devan lotèl Seyè a ansanm ak lòt frè nou yo!(Creole-HT) ======= Numbers 20:4 ============ Num 20:4 And why have ye brought up the congregation of the LORD into this wilderness, that we and our cattle should die there?(KJV-1611) Num 20:4 Poukisa ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Seyè a, ansanm ak tou bèt nou yo?(Creole-HT) ======= Numbers 20:5 ============ Num 20:5 And wherefore have ye made us to come up out of Egypt, to bring us in unto this evil place? it is no place of seed, or of figs, or of vines, or of pomegranates; neither is there any water to drink.(KJV-1611) Num 20:5 Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye rezen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè!(Creole-HT) ======= Numbers 20:6 ============ Num 20:6 And Moses and Aaron went from the presence of the assembly unto the door of the tabernacle of the congregation, and they fell upon their faces: and the glory of the LORD appeared unto them.(KJV-1611) Num 20:6 Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y' ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:7 ============ Num 20:7 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 20:7 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 20:8 ============ Num 20:8 Take the rod, and gather thou the assembly together, thou, and Aaron thy brother, and speak ye unto the rock before their eyes; and it shall give forth his water, and thou shalt bring forth to them water out of the rock: so thou shalt give the congregation and their beasts drink.(KJV-1611) Num 20:8 -Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:9 ============ Num 20:9 And Moses took the rod from before the LORD, as he commanded him.(KJV-1611) Num 20:9 Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 20:10 ============ Num 20:10 And Moses and Aaron gathered the congregation together before the rock, and he said unto them, Hear now, ye rebels; must we fetch you water out of this rock?(KJV-1611) Num 20:10 Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: -Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo soti nan wòch sa a pou nou?(Creole-HT) ======= Numbers 20:11 ============ Num 20:11 And Moses lifted up his hand, and with his rod he smote the rock twice: and the water came out abundantly, and the congregation drank, and their beasts also.(KJV-1611) Num 20:11 Moyiz leve men l', li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou.(Creole-HT) ======= Numbers 20:12 ============ Num 20:12 And the LORD spake unto Moses and Aaron, Because ye believed me not, to sanctify me in the eyes of the children of Israel, therefore ye shall not bring this congregation into the land which I have given them.(KJV-1611) Num 20:12 Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 20:13 ============ Num 20:13 This is the water of Meribah; because the children of Israel strove with the LORD, and he was sanctified in them.(KJV-1611) Num 20:13 Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Seyè a. Se la Seyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:14 ============ Num 20:14 And Moses sent messengers from Kadesh unto the king of Edom, Thus saith thy brother Israel, Thou knowest all the travail that hath befallen us:(KJV-1611) Num 20:14 Moyiz rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l' konsa: -Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase.(Creole-HT) ======= Numbers 20:15 ============ Num 20:15 How our fathers went down into Egypt, and we have dwelt in Egypt a long time; and the Egyptians vexed us, and our fathers:(KJV-1611) Num 20:15 Ou konnen ki jan zansèt nou yo te desann al rete nan peyi Lejip pandan lontan, ki jan moun peyi sa a tonbe maltrete nou menm jan yo te maltrete zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:16 ============ Num 20:16 And when we cried unto the LORD, he heard our voice, and sent an angel, and hath brought us forth out of Egypt: and, behold, we are in Kadesh, a city in the uttermost of thy border:(KJV-1611) Num 20:16 Lè nou wè sa, nou rele nan pye Seyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou soti kite peyi Lejip sa a. Koulye a, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fwontyè peyi ou la.(Creole-HT) ======= Numbers 20:17 ============ Num 20:17 Let us pass, I pray thee, through thy country: we will not pass through the fields, or through the vineyards, neither will we drink of the water of the wells: we will go by the king's high way, we will not turn to the right hand nor to the left, until we have passed thy borders.(KJV-1611) Num 20:17 Tanpri, n'ap mande ou yon ti pèmisyon pou nou pase ase nan mitan peyi ou la. Nou p'ap kite wout nou pou n' pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata dlo nan pi ou yo nou p'ap bwè. Nou p'ap kite gran chemen w'a moutre nou an, nou p'ap vire ni adwat ni agoch, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 20:18 ============ Num 20:18 And Edom said unto him, Thou shalt not pass by me, lest I come out against thee with the sword.(KJV-1611) Num 20:18 Wa Edon an voye di yo: -Non. Nou p'ap kite nou travèse peyi a. Si nou chache fè sa, n'ap mache pran nou, n'ap atake nou.(Creole-HT) ======= Numbers 20:19 ============ Num 20:19 And the children of Israel said unto him, We will go by the high way: and if I and my cattle drink of thy water, then I will pay for it: I will only, without doing anything else, go through on my feet.(KJV-1611) Num 20:19 Men, moun pèp Izrayèl yo voye di l' ankò: -Nou p'ap kite gran chemen w'a louvri devan nou an. Epi si yonn nan nou, osinon yonn nan bèt nou yo ta bwè nan dlo peyi ou la, n'ap peye ou pou sa. Se annik pase nou bezwen pase nan mitan peyi a, pa lòt bagay!(Creole-HT) ======= Numbers 20:20 ============ Num 20:20 And he said, Thou shalt not go through. And Edom came out against him with much people, and with a strong hand.(KJV-1611) Num 20:20 Men, wa Edon an voye di yo ankò: -Non! Nou p'ap pase menm! Epi li soti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:21 ============ Num 20:21 Thus Edom refused to give Israel passage through his border: wherefore Israel turned away from him.(KJV-1611) Num 20:21 Se konsa moun peyi Edon yo te refize kite moun pèp Izrayèl yo pase nan peyi yo a. Kifè moun Izrayèl yo te blije vire do yo, fè yon lòt wout.(Creole-HT) ======= Numbers 20:22 ============ Num 20:22 And the children of Israel, even the whole congregation, journeyed from Kadesh, and came unto mount Hor.(KJV-1611) Num 20:22 Tout moun pèp Izrayèl yo kite Kadès, yo rive sou Mòn Or la,(Creole-HT) ======= Numbers 20:23 ============ Num 20:23 And the LORD spake unto Moses and Aaron in mount Hor, by the coast of the land of Edom, saying,(KJV-1611) Num 20:23 ki te toupre fwontyè peyi Edon an. Antan yo la, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:(Creole-HT) ======= Numbers 20:24 ============ Num 20:24 Aaron shall be gathered unto his people: for he shall not enter into the land which I have given unto the children of Israel, because ye rebelled against my word at the water of Meribah.(KJV-1611) Num 20:24 -Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.(Creole-HT) ======= Numbers 20:25 ============ Num 20:25 Take Aaron and Eleazar his son, and bring them up unto mount Hor:(KJV-1611) Num 20:25 Pran Arawon ak Eleaza, pitit gason l' lan, moute sou mòn Or la ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 20:26 ============ Num 20:26 And strip Aaron of his garments, and put them upon Eleazar his son: and Aaron shall be gathered unto his people, and shall die there.(KJV-1611) Num 20:26 W'a wete rad espesyal ki sou Arawon yo, w'a mete yo sou Eleaza, pitit gason l' lan. Se la sou mòn lan Arawon pral mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 20:27 ============ Num 20:27 And Moses did as the LORD commanded: and they went up into mount Hor in the sight of all the congregation.(KJV-1611) Num 20:27 Moyiz fè tou sa Seyè a te mande l' fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la.(Creole-HT) ======= Numbers 20:28 ============ Num 20:28 And Moses stripped Aaron of his garments, and put them upon Eleazar his son; and Aaron died there in the top of the mount: and Moses and Eleazar came down from the mount.(KJV-1611) Num 20:28 Lèfini, Moyiz wete rad espesyal ki te sou Arawon yo, li mete yo sou Eleaza, pitit gason Arawon an. Se la sou tèt mòn lan Arawon mouri. Apre sa, Moyiz ak Eleaza desann desann yo sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Numbers 20:29 ============ Num 20:29 And when all the congregation saw that Aaron was dead, they mourned for Aaron thirty days, even all the house of Israel.(KJV-1611) Num 20:29 Tout pèp la vin konnen Arawon te mouri. Se konsa tout moun nan pèp Izrayèl la pase trant jou ap kriye pou Arawon.(Creole-HT) ======= Numbers 21:1 ============ Num 21:1 And when king Arad the Canaanite, which dwelt in the south, heard tell that Israel came by the way of the spies; then he fought against Israel, and took some of them prisoners.(KJV-1611) Num 21:1 Wa lavil Arad la, nan rejyon Negèv la, te yon moun peyi Kanaran. Lè li vin tande moun pèp Izrayèl yo t'ap vini sou chemen ki mennen Atarim lan, l' al atake yo. Li fè kèk ladan yo prizonye.(Creole-HT) ======= Numbers 21:2 ============ Num 21:2 And Israel vowed a vow unto the LORD, and said, If thou wilt indeed deliver this people into my hand, then I will utterly destroy their cities.(KJV-1611) Num 21:2 Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 21:3 ============ Num 21:3 And the LORD hearkened to the voice of Israel, and delivered up the Canaanites; and they utterly destroyed them and their cities: and he called the name of the place Hormah.(KJV-1611) Num 21:3 Seyè a tande sa yo te mande l' la, epi li ede yo, li fè yo mete men sou moun Kanaran yo. Moun pèp Izrayèl yo disparèt tout moun yo ansanm ak tout lavil yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Oma.(Creole-HT) ======= Numbers 21:4 ============ Num 21:4 And they journeyed from mount Hor by the way of the Red sea, to compass the land of Edom: and the soul of the people was much discouraged because of the way.(KJV-1611) Num 21:4 Moun Izrayèl yo pati, yo kite mòn Or la, yo pran wout ki mennen bò Lanmè Wouj la, pou yo pa pase nan peyi Edon an. Men, antan y'ap vwayaje a, pèp la vin dekouraje.(Creole-HT) ======= Numbers 21:5 ============ Num 21:5 And the people spake against God, and against Moses, Wherefore have ye brought us up out of Egypt to die in the wilderness? for there is no bread, neither is there any water; and our soul loatheth this light bread.(KJV-1611) Num 21:5 Pèp la pale Bondye ansanm ak Moyiz mal, yo leve dèyè yo, yo di konsa: -Poukisa nou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou fè nou vin mouri nan dezè sa a kote ki pa gen ni manje ni dlo. Nou bouke manje vye manje sa a ki pa ka fè anyen pou nou ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 21:6 ============ Num 21:6 And the LORD sent fiery serpents among the people, and they bit the people; and much people of Israel died.(KJV-1611) Num 21:6 Lè sa a, Seyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 21:7 ============ Num 21:7 Therefore the people came to Moses, and said, We have sinned, for we have spoken against the LORD, and against thee; pray unto the LORD, that he take away the serpents from us. And Moses prayed for the people.(KJV-1611) Num 21:7 Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.(Creole-HT) ======= Numbers 21:8 ============ Num 21:8 And the LORD said unto Moses, Make thee a fiery serpent, and set it upon a pole: and it shall come to pass, that every one that is bitten, when he looketh upon it, shall live.(KJV-1611) Num 21:8 Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 21:9 ============ Num 21:9 And Moses made a serpent of brass, and put it upon a pole, and it came to pass, that if a serpent had bitten any man, when he beheld the serpent of brass, he lived.(KJV-1611) Num 21:9 Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 21:10 ============ Num 21:10 And the children of Israel set forward, and pitched in Oboth.(KJV-1611) Num 21:10 Moun pèp Izrayèl yo pati, y' al moute kan yo nan fon Obòt la.(Creole-HT) ======= Numbers 21:11 ============ Num 21:11 And they journeyed from Oboth, and pitched at Ijeabarim, in the wilderness which is before Moab, toward the sunrising.(KJV-1611) Num 21:11 Apre sa, yo kite fon Obòt, y' al moute kan yo bò mazi Abarim yo nan dezè ki sou bò lès peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Numbers 21:12 ============ Num 21:12 From thence they removed, and pitched in the valley of Zared.(KJV-1611) Num 21:12 Apre sa ankò, yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan ravin Zerèd.(Creole-HT) ======= Numbers 21:13 ============ Num 21:13 From thence they removed, and pitched on the other side of Arnon, which is in the wilderness that cometh out of the coasts of the Amorites: for Arnon is the border of Moab, between Moab and the Amorites.(KJV-1611) Num 21:13 Lè yo kite ravin Zerèd, y' al moute kan yo lòt bò larivyè Anon nan dezè ki rive jouk nan teritwa moun Amori yo. Rivyè Anon sa a te sèvi fwontyè ant peyi Moab ak peyi Amori a.(Creole-HT) ======= Numbers 21:14 ============ Num 21:14 Wherefore it is said in the book of the wars of the LORD, What he did in the Red sea, and in the brooks of Arnon,(KJV-1611) Num 21:14 Se poutèt sa, nan liv istwa ki rakonte batay Seyè a, nou jwenn yo pale sou lavil Vayèb, nan peyi Soufa a, ak ravin li yo, sou rivyè Anon(Creole-HT) ======= Numbers 21:15 ============ Num 21:15 And at the stream of the brooks that goeth down to the dwelling of Ar, and lieth upon the border of Moab.(KJV-1611) Num 21:15 avèk fon lavalas li yo, ki desann bò lavil Amoab la nan direksyon fwontyè peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Numbers 21:16 ============ Num 21:16 And from thence they went to Beer: that is the well whereof the LORD spake unto Moses, Gather the people together, and I will give them water.(KJV-1611) Num 21:16 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al yon kote yo rele Beyè. Se la Seyè a te pale ak Moyiz, lè li te di l': Reyini tout pèp la. Mwen pral ba yo dlo.(Creole-HT) ======= Numbers 21:17 ============ Num 21:17 Then Israel sang this song, Spring up, O well; sing ye unto it:(KJV-1611) Num 21:17 Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa!(Creole-HT) ======= Numbers 21:18 ============ Num 21:18 The princes digged the well, the nobles of the people digged it, by the direction of the lawgiver, with their staves. And from the wilderness they went to Mattanah:(KJV-1611) Num 21:18 Pi chèf yo te fouye Avèk baton kòmandan yo! Pi grannèg yo te fouye Avèk baton yo sèvi lè y'ap mache a! Apre sa, yo kite dezè a, y' al moute kan yo Matana.(Creole-HT) ======= Numbers 21:19 ============ Num 21:19 And from Mattanah to Nahaliel: and from Nahaliel to Bamoth:(KJV-1611) Num 21:19 Lè yo kite Matana, y' ale Nakalyèl. Lè yo kite Nakalyèl, yo moute Bannòt.(Creole-HT) ======= Numbers 21:20 ============ Num 21:20 And from Bamoth in the valley, that is in the country of Moab, to the top of Pisgah, which looketh toward Jeshimon.(KJV-1611) Num 21:20 Lè yo kite Bannòt, y' ale nan fon ki nan peyi Moab la, jouk sou tèt mòn Pisga, kote y'ap gade tout dezè a nan pye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 21:21 ============ Num 21:21 And Israel sent messengers unto Sihon king of the Amorites, saying,(KJV-1611) Num 21:21 Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 21:22 ============ Num 21:22 Let me pass through thy land: we will not turn into the fields, or into the vineyards; we will not drink of the waters of the well: but we will go along by the king's high way, until we be past thy borders.(KJV-1611) Num 21:22 -Kite nou pase ase nan mitan peyi ou la! Nou p'ap kite wout nou pou pase nan mitan jaden ou, ni nan mitan pye rezen ou yo. Ata bwè nou p'ap bwè dlo nan pi ou yo. N'ap rete sou gran chemen ou va moutre nou an, jouk n'a fin travèse lòt bò peyi ou la.(Creole-HT) ======= Numbers 21:23 ============ Num 21:23 And Sihon would not suffer Israel to pass through his border: but Sihon gathered all his people together, and went out against Israel into the wilderness: and he came to Jahaz, and fought against Israel.(KJV-1611) Num 21:23 Men, Siyon pa t' vle kite pèp Izrayèl la pase sou tè li yo. Li leve tout pèp l' a, li mache sou moun pèp Izrayèl yo, l' al kontre ak yo yon kote nan dezè a yo rele Jaza, l' atake yo.(Creole-HT) ======= Numbers 21:24 ============ Num 21:24 And Israel smote him with the edge of the sword, and possessed his land from Arnon unto Jabbok, even unto the children of Ammon: for the border of the children of Ammon was strong.(KJV-1611) Num 21:24 Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fwontyè peyi Amon an, ki te yon fwontyè byen gade.(Creole-HT) ======= Numbers 21:25 ============ Num 21:25 And Israel took all these cities: and Israel dwelt in all the cities of the Amorites, in Heshbon, and in all the villages thereof.(KJV-1611) Num 21:25 Se konsa, moun Izrayèl yo pran tout lavil moun Amori yo, depi Esbon, kapital la ak lòt ti bouk nan vwazinaj li ki te sou kont li, epi yo rete ladan yo tout.(Creole-HT) ======= Numbers 21:26 ============ Num 21:26 For Heshbon was the city of Sihon the king of the Amorites, who had fought against the former king of Moab, and taken all his land out of his hand, even unto Arnon.(KJV-1611) Num 21:26 Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon.(Creole-HT) ======= Numbers 21:27 ============ Num 21:27 Wherefore they that speak in proverbs say, Come into Heshbon, let the city of Sihon be built and prepared:(KJV-1611) Num 21:27 Se poutèt sa sanba yo di: -Ann ale Esbon! Ann al bati l' ankò! Ann al mete lavil wa Siyon an kanpe sou de pye l' ankò!(Creole-HT) ======= Numbers 21:28 ============ Num 21:28 For there is a fire gone out of Heshbon, a flame from the city of Sihon: it hath consumed Ar of Moab, and the lords of the high places of Arnon.(KJV-1611) Num 21:28 Paske yon sèl dife te soti lavil Esbon, Wi, lame wa Siyon an derape tankou yon flanm dife, li boule lavil A Moab. Li devore tout chèf ki rete sou mòn Anon an.(Creole-HT) ======= Numbers 21:29 ============ Num 21:29 Woe to thee, Moab! thou art undone, O people of Chemosh: he hath given his sons that escaped, and his daughters, into captivity unto Sihon king of the Amorites.(KJV-1611) Num 21:29 Sa pral rèd nèt pou nou, moun peyi Moab! Nou pèdi nèt, nou menm sèvitè Kemòch! Bondye nou an fè pitit gason nou yo kouri al kache. Li kite pitit fi nou yo tounen prizonye nan men Siyon, wa peyi Amori a.(Creole-HT) ======= Numbers 21:30 ============ Num 21:30 We have shot at them; Heshbon is perished even unto Dibon, and we have laid them waste even unto Nophah, which reacheth unto Medeba.(KJV-1611) Num 21:30 Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba.(Creole-HT) ======= Numbers 21:31 ============ Num 21:31 Thus Israel dwelt in the land of the Amorites.(KJV-1611) Num 21:31 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo vin rete nan peyi Amori a.(Creole-HT) ======= Numbers 21:32 ============ Num 21:32 And Moses sent to spy out Jaazer, and they took the villages thereof, and drove out the Amorites that were there.(KJV-1611) Num 21:32 Moyiz menm voye kèk moun wè ki jan sa ye nan lavil Jazè. Apre sa, moun Izrayèl yo mache pran lavil la ak lòt ti bouk ki nan vwazinaj li. Kote yo pase, yo mete moun Amori yo deyò lakay yo.(Creole-HT) ======= Numbers 21:33 ============ Num 21:33 And they turned and went up by the way of Bashan: and Og the king of Bashan went out against them, he, and all his people, to the battle at Edrei.(KJV-1611) Num 21:33 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo tounen sou wout yo, yo pran chemen ki mennen lavil Bazan. Epi Og, wa lavil Bazan an, leve tout pèp l' a, li vin kontre ak yo pou l' atake yo bò Edreyi.(Creole-HT) ======= Numbers 21:34 ============ Num 21:34 And the LORD said unto Moses, Fear him not: for I have delivered him into thy hand, and all his people, and his land; and thou shalt do to him as thou didst unto Sihon king of the Amorites, which dwelt at Heshbon.(KJV-1611) Num 21:34 Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa bezwen pè msye! M'ap fè nou kraze l' anba pye nou, li menm ansanm ak tout pèp l' a. M'ap fè nou pran peyi l' la pou nou. Nou pral fè l' pase sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete Esbon an, pase.(Creole-HT) ======= Numbers 21:35 ============ Num 21:35 So they smote him, and his sons, and all his people, until there was none left him alive: and they possessed his land.(KJV-1611) Num 21:35 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo touye Og, ansanm ak pitit gason l' yo ak tout pèp l' a. Yo pa kite yonn chape, yo pran tout peyi a pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:1 ============ Num 22:1 And the children of Israel set forward, and pitched in the plains of Moab on this side Jordan by Jericho.(KJV-1611) Num 22:1 Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan plenn Moab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Numbers 22:2 ============ Num 22:2 And Balak the son of Zippor saw all that Israel had done to the Amorites.(KJV-1611) Num 22:2 Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo,(Creole-HT) ======= Numbers 22:3 ============ Num 22:3 And Moab was sore afraid of the people, because they were many: and Moab was distressed because of the children of Israel.(KJV-1611) Num 22:3 li menm ak tout moun pèp Moab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil.(Creole-HT) ======= Numbers 22:4 ============ Num 22:4 And Moab said unto the elders of Midian, Now shall this company lick up all that are round about us, as the ox licketh up the grass of the field. And Balak the son of Zippor was king of the Moabites at that time.(KJV-1611) Num 22:4 Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab.(Creole-HT) ======= Numbers 22:5 ============ Num 22:5 He sent messengers therefore unto Balaam the son of Beor to Pethor, which is by the river of the land of the children of his people, to call him, saying, Behold, there is a people come out from Egypt: behold, they cover the face of the earth, and they abide over against me:(KJV-1611) Num 22:5 Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.(Creole-HT) ======= Numbers 22:6 ============ Num 22:6 Come now therefore, I pray thee, curse me this people; for they are too mighty for me: peradventure I shall prevail, that we may smite them, and that I may drive them out of the land: for I wot that he whom thou blessest is blessed, and he whom thou cursest is cursed.(KJV-1611) Num 22:6 Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 22:7 ============ Num 22:7 And the elders of Moab and the elders of Midian departed with the rewards of divination in their hand; and they came unto Balaam, and spake unto him the words of Balak.(KJV-1611) Num 22:7 Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.(Creole-HT) ======= Numbers 22:8 ============ Num 22:8 And he said unto them, Lodge here this night, and I will bring you word again, as the LORD shall speak unto me: and the princes of Moab abode with Balaam.(KJV-1611) Num 22:8 Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram.(Creole-HT) ======= Numbers 22:9 ============ Num 22:9 And God came unto Balaam, and said, What men are these with thee?(KJV-1611) Num 22:9 Bondye vin bò kote Balaram, li di l' konsa: -Ki moun sa yo ki lakay ou a?(Creole-HT) ======= Numbers 22:10 ============ Num 22:10 And Balaam said unto God, Balak the son of Zippor, king of Moab, hath sent unto me, saying,(KJV-1611) Num 22:10 Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m':(Creole-HT) ======= Numbers 22:11 ============ Num 22:11 Behold, there is a people come out of Egypt, which covereth the face of the earth: come now, curse me them; peradventure I shall be able to overcome them, and drive them out.(KJV-1611) Num 22:11 Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 22:12 ============ Num 22:12 And God said unto Balaam, Thou shalt not go with them; thou shalt not curse the people: for they are blessed.(KJV-1611) Num 22:12 Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:13 ============ Num 22:13 And Balaam rose up in the morning, and said unto the princes of Balak, Get you into your land: for the LORD refuseth to give me leave to go with you.(KJV-1611) Num 22:13 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou.(Creole-HT) ======= Numbers 22:14 ============ Num 22:14 And the princes of Moab rose up, and they went unto Balak, and said, Balaam refuseth to come with us.(KJV-1611) Num 22:14 Se konsa chèf moun Moab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l' konsa: -Balaram refize vini avèk nou!(Creole-HT) ======= Numbers 22:15 ============ Num 22:15 And Balak sent yet again princes, more, and more honourable than they.(KJV-1611) Num 22:15 Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:16 ============ Num 22:16 And they came to Balaam, and said to him, Thus saith Balak the son of Zippor, Let nothing, I pray thee, hinder thee from coming unto me:(KJV-1611) Num 22:16 Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'.(Creole-HT) ======= Numbers 22:17 ============ Num 22:17 For I will promote thee unto very great honour, and I will do whatsoever thou sayest unto me: come therefore, I pray thee, curse me this people.(KJV-1611) Num 22:17 Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m' fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 22:18 ============ Num 22:18 And Balaam answered and said unto the servants of Balak, If Balak would give me his house full of silver and gold, I cannot go beyond the word of the LORD my God, to do less or more.(KJV-1611) Num 22:18 Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= Numbers 22:19 ============ Num 22:19 Now therefore, I pray you, tarry ye also here this night, that I may know what the LORD will say unto me more.(KJV-1611) Num 22:19 Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 22:20 ============ Num 22:20 And God came unto Balaam at night, and said unto him, If the men come to call thee, rise up, and go with them; but yet the word which I shall say unto thee, that shalt thou do.(KJV-1611) Num 22:20 Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.(Creole-HT) ======= Numbers 22:21 ============ Num 22:21 And Balaam rose up in the morning, and saddled his ass, and went with the princes of Moab.(KJV-1611) Num 22:21 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:22 ============ Num 22:22 And God's anger was kindled because he went: and the angel of the LORD stood in the way for an adversary against him. Now he was riding upon his ass, and his two servants were with him.(KJV-1611) Num 22:22 Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'.(Creole-HT) ======= Numbers 22:23 ============ Num 22:23 And the ass saw the angel of the LORD standing in the way, and his sword drawn in his hand: and the ass turned aside out of the way, and went into the field: and Balaam smote the ass, to turn her into the way.(KJV-1611) Num 22:23 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la.(Creole-HT) ======= Numbers 22:24 ============ Num 22:24 But the angel of the LORD stood in a path of the vineyards, a wall being on this side, and a wall on that side.(KJV-1611) Num 22:24 Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò.(Creole-HT) ======= Numbers 22:25 ============ Num 22:25 And when the ass saw the angel of the LORD, she thrust herself unto the wall, and crushed Balaam's foot against the wall: and he smote her again.(KJV-1611) Num 22:25 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 22:26 ============ Num 22:26 And the angel of the LORD went further, and stood in a narrow place, where was no way to turn either to the right hand or to the left.(KJV-1611) Num 22:26 Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch.(Creole-HT) ======= Numbers 22:27 ============ Num 22:27 And when the ass saw the angel of the LORD, she fell down under Balaam: and Balaam's anger was kindled, and he smote the ass with a staff.(KJV-1611) Num 22:27 Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan.(Creole-HT) ======= Numbers 22:28 ============ Num 22:28 And the LORD opened the mouth of the ass, and she said unto Balaam, What have I done unto thee, that thou hast smitten me these three times?(KJV-1611) Num 22:28 Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 22:29 ============ Num 22:29 And Balaam said unto the ass, Because thou hast mocked me: I would there were a sword in mine hand, for now would I kill thee.(KJV-1611) Num 22:29 Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen. Ou mouri lontan!(Creole-HT) ======= Numbers 22:30 ============ Num 22:30 And the ass said unto Balaam, Am not I thine ass, upon which thou hast ridden ever since I was thine unto this day? was I ever wont to do so unto thee? And he said, Nay.(KJV-1611) Num 22:30 Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non!(Creole-HT) ======= Numbers 22:31 ============ Num 22:31 Then the LORD opened the eyes of Balaam, and he saw the angel of the LORD standing in the way, and his sword drawn in his hand: and he bowed down his head, and fell flat on his face.(KJV-1611) Num 22:31 Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.(Creole-HT) ======= Numbers 22:32 ============ Num 22:32 And the angel of the LORD said unto him, Wherefore hast thou smitten thine ass these three times? behold, I went out to withstand thee, because thy way is perverse before me:(KJV-1611) Num 22:32 Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 22:33 ============ Num 22:33 And the ass saw me, and turned from me these three times: unless she had turned from me, surely now also I had slain thee, and saved her alive.(KJV-1611) Num 22:33 Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 22:34 ============ Num 22:34 And Balaam said unto the angel of the LORD, I have sinned; for I knew not that thou stoodest in the way against me: now therefore, if it displease thee, I will get me back again.(KJV-1611) Num 22:34 Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 22:35 ============ Num 22:35 And the angel of the LORD said unto Balaam, Go with the men: but only the word that I shall speak unto thee, that thou shalt speak. So Balaam went with the princes of Balak.(KJV-1611) Num 22:35 Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:36 ============ Num 22:36 And when Balak heard that Balaam was come, he went out to meet him unto a city of Moab, which is in the border of Arnon, which is in the utmost coast.(KJV-1611) Num 22:36 Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an.(Creole-HT) ======= Numbers 22:37 ============ Num 22:37 And Balak said unto Balaam, Did I not earnestly send unto thee to call thee? wherefore camest thou not unto me? am I not able indeed to promote thee to honour?(KJV-1611) Num 22:37 Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la?(Creole-HT) ======= Numbers 22:38 ============ Num 22:38 And Balaam said unto Balak, Lo, I am come unto thee: have I now any power at all to say any thing? the word that God putteth in my mouth, that shall I speak.(KJV-1611) Num 22:38 Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di.(Creole-HT) ======= Numbers 22:39 ============ Num 22:39 And Balaam went with Balak, and they came unto Kirjathhuzoth.(KJV-1611) Num 22:39 Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt.(Creole-HT) ======= Numbers 22:40 ============ Num 22:40 And Balak offered oxen and sheep, and sent to Balaam, and to the princes that were with him.(KJV-1611) Num 22:40 Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 22:41 ============ Num 22:41 And it came to pass on the morrow, that Balak took Balaam, and brought him up into the high places of Baal, that thence he might see the utmost part of the people.(KJV-1611) Num 22:41 Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:1 ============ Num 23:1 And Balaam said unto Balak, Build me here seven altars, and prepare me here seven oxen and seven rams.(KJV-1611) Num 23:1 Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton.(Creole-HT) ======= Numbers 23:2 ============ Num 23:2 And Balak did as Balaam had spoken; and Balak and Balaam offered on every altar a bullock and a ram.(KJV-1611) Num 23:2 Balak fè sa Balaram te di l' fè a. Lèfini, Balaram ak Balak touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl.(Creole-HT) ======= Numbers 23:3 ============ Num 23:3 And Balaam said unto Balak, Stand by thy burnt offering, and I will go: peradventure the LORD will come to meet me: and whatsoever he sheweth me I will tell thee. And he went to an high place.(KJV-1611) Num 23:3 Apre sa, Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete ap boule la a. Mwen menm, mwen pral wè si Seyè a p'ap vin jwenn mwen. Apre sa, m'a fè ou konnen sa l'a fè m' wè a. Epi l' ale sou tèt yon ti mòn ki pa t' gen yon ti pyebwa sou li.(Creole-HT) ======= Numbers 23:4 ============ Num 23:4 And God met Balaam: and he said unto him, I have prepared seven altars, and I have offered upon every altar a bullock and a ram.(KJV-1611) Num 23:4 Epi Bondye vin jwenn li la. Balaram di l' konsa: -Mwen te fè bati sèt lotèl pou ou, epi mwen te touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou ou.(Creole-HT) ======= Numbers 23:5 ============ Num 23:5 And the LORD put a word in Balaam's mouth, and said, Return unto Balak, and thus thou shalt speak.(KJV-1611) Num 23:5 Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.(Creole-HT) ======= Numbers 23:6 ============ Num 23:6 And he returned unto him, and, lo, he stood by his burnt sacrifice, he, and all the princes of Moab.(KJV-1611) Num 23:6 Se konsa, Balaram tounen bò kote Balak. Li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak lòt chèf moun Moab yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:7 ============ Num 23:7 And he took up his parable, and said, Balak the king of Moab hath brought me from Aram, out of the mountains of the east, saying, Come, curse me Jacob, and come, defy Israel.(KJV-1611) Num 23:7 Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:8 ============ Num 23:8 How shall I curse, whom God hath not cursed? or how shall I defy, whom the LORD hath not defied?(KJV-1611) Num 23:8 Men ki jan ou ta vle pou m' madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m' kraponnen moun Bondye pa kraponnen?(Creole-HT) ======= Numbers 23:9 ============ Num 23:9 For from the top of the rocks I see him, and from the hills I behold him: lo, the people shall dwell alone, and shall not be reckoned among the nations.(KJV-1611) Num 23:9 Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo!(Creole-HT) ======= Numbers 23:10 ============ Num 23:10 Who can count the dust of Jacob, and the number of the fourth part of Israel? Let me die the death of the righteous, and let my last end be like his!(KJV-1611) Num 23:10 Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze.(Creole-HT) ======= Numbers 23:11 ============ Num 23:11 And Balak said unto Balaam, What hast thou done unto me? I took thee to curse mine enemies, and, behold, thou hast blessed them altogether.(KJV-1611) Num 23:11 Balak di Balaram: -Kisa w'ap fè m' konsa? Mwen mennen ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon, epi se beni mwen wè w'ap beni yo!(Creole-HT) ======= Numbers 23:12 ============ Num 23:12 And he answered and said, Must I not take heed to speak that which the LORD hath put in my mouth?(KJV-1611) Num 23:12 Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di.(Creole-HT) ======= Numbers 23:13 ============ Num 23:13 And Balak said unto him, Come, I pray thee, with me unto another place, from whence thou mayest see them: thou shalt see but the utmost part of them, and shalt not see them all: and curse me them from thence.(KJV-1611) Num 23:13 Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 23:14 ============ Num 23:14 And he brought him into the field of Zophim, to the top of Pisgah, and built seven altars, and offered a bullock and a ram on every altar.(KJV-1611) Num 23:14 Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 23:15 ============ Num 23:15 And he said unto Balak, Stand here by thy burnt offering, while I meet the LORD yonder.(KJV-1611) Num 23:15 Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan.(Creole-HT) ======= Numbers 23:16 ============ Num 23:16 And the LORD met Balaam, and put a word in his mouth, and said, Go again unto Balak, and say thus.(KJV-1611) Num 23:16 Seyè a vin jwenn Balaram, li pale ak Balaram byen pale ankò, epi li di l': -Tounen al jwenn Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.(Creole-HT) ======= Numbers 23:17 ============ Num 23:17 And when he came to him, behold, he stood by his burnt offering, and the princes of Moab with him. And Balak said unto him, What hath the LORD spoken?(KJV-1611) Num 23:17 Se konsa Balaram tounen bò kote Balak, li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo. Epi Balak mande l': -Kisa Seyè a di konsa?(Creole-HT) ======= Numbers 23:18 ============ Num 23:18 And he took up his parable, and said, Rise up, Balak, and hear; hearken unto me, thou son of Zippor:(KJV-1611) Num 23:18 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!(Creole-HT) ======= Numbers 23:19 ============ Num 23:19 God is not a man, that he should lie; neither the son of man, that he should repent: hath he said, and shall he not do it? or hath he spoken, and shall he not make it good?(KJV-1611) Num 23:19 Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!(Creole-HT) ======= Numbers 23:20 ============ Num 23:20 Behold, I have received commandment to bless: and he hath blessed; and I cannot reverse it.(KJV-1611) Num 23:20 Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 23:21 ============ Num 23:21 He hath not beheld iniquity in Jacob, neither hath he seen perverseness in Israel: the LORD his God is with him, and the shout of a king is among them.(KJV-1611) Num 23:21 Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:22 ============ Num 23:22 God brought them out of Egypt; he hath as it were the strength of an unicorn.(KJV-1611) Num 23:22 Paske, lè Bondye t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la, li te ba yo fòs pou yo te goumen tankou towo mawon.(Creole-HT) ======= Numbers 23:23 ============ Num 23:23 Surely there is no enchantment against Jacob, neither is there any divination against Israel: according to this time it shall be said of Jacob and of Israel, What hath God wrought!(KJV-1611) Num 23:23 Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!(Creole-HT) ======= Numbers 23:24 ============ Num 23:24 Behold, the people shall rise up as a great lion, and lift up himself as a young lion: he shall not lie down until he eat of the prey, and drink the blood of the slain.(KJV-1611) Num 23:24 Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:25 ============ Num 23:25 And Balak said unto Balaam, Neither curse them at all, nor bless them at all.(KJV-1611) Num 23:25 Lè sa a, Balak di Balaram konsa: -Menm jan ou pa vle ba yo madichon an, ou pa t' dwe asepte ba yo benediksyon non plis.(Creole-HT) ======= Numbers 23:26 ============ Num 23:26 But Balaam answered and said unto Balak, Told not I thee, saying, All that the LORD speaketh, that I must do?(KJV-1611) Num 23:26 Men, Balaram reponn Balak, li di l': -Mwen te tou pale ou wi. Mwen te di ou: Tou sa Seyè a va di m' fè, se sa m'ap fè.(Creole-HT) ======= Numbers 23:27 ============ Num 23:27 And Balak said unto Balaam, Come, I pray thee, I will bring thee unto another place; peradventure it will please God that thou mayest curse me them from thence.(KJV-1611) Num 23:27 Balak di Balaram konsa: -Ann al non! Mwen pral mennen ou yon lòt kote. Ou pa janm konnen, antan ou la a, Bondye ka kite ou bay pèp la madichon pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 23:28 ============ Num 23:28 And Balak brought Balaam unto the top of Peor, that looketh toward Jeshimon.(KJV-1611) Num 23:28 Balak mennen Balaram sou tèt mòn Peyò a. Antan yo la, yo dekouvri tout dezè a nan pye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 23:29 ============ Num 23:29 And Balaam said unto Balak, Build me here seven altars, and prepare me here seven bullocks and seven rams.(KJV-1611) Num 23:29 Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl pou mwen isit la. Lèfini, fè m' jwenn sèt jenn ti towo bèf ak sèt belye mouton.(Creole-HT) ======= Numbers 23:30 ============ Num 23:30 And Balak did as Balaam had said, and offered a bullock and a ram on every altar.(KJV-1611) Num 23:30 Balak fè tou sa Balaram te di l' fè a, epi li touye yon ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 24:1 ============ Num 24:1 And when Balaam saw that it pleased the LORD to bless Israel, he went not, as at other times, to seek for enchantments, but he set his face toward the wilderness.(KJV-1611) Num 24:1 Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a.(Creole-HT) ======= Numbers 24:2 ============ Num 24:2 And Balaam lifted up his eyes, and he saw Israel abiding in his tents according to their tribes; and the spirit of God came upon him.(KJV-1611) Num 24:2 Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li.(Creole-HT) ======= Numbers 24:3 ============ Num 24:3 And he took up his parable, and said, Balaam the son of Beor hath said, and the man whose eyes are open hath said:(KJV-1611) Num 24:3 Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di: Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,(Creole-HT) ======= Numbers 24:4 ============ Num 24:4 He hath said, which heard the words of God, which saw the vision of the Almighty, falling into a trance, but having his eyes open:(KJV-1611) Num 24:4 pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.(Creole-HT) ======= Numbers 24:5 ============ Num 24:5 How goodly are thy tents, O Jacob, and thy tabernacles, O Israel!(KJV-1611) Num 24:5 Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= Numbers 24:6 ============ Num 24:6 As the valleys are they spread forth, as gardens by the river's side, as the trees of lign aloes which the LORD hath planted, and as cedar trees beside the waters.(KJV-1611) Num 24:6 Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann. Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo.(Creole-HT) ======= Numbers 24:7 ============ Num 24:7 He shall pour the water out of his buckets, and his seed shall be in many waters, and his king shall be higher than Agag, and his kingdom shall be exalted.(KJV-1611) Num 24:7 Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Numbers 24:8 ============ Num 24:8 God brought him forth out of Egypt; he hath as it were the strength of an unicorn: he shall eat up the nations his enemies, and shall break their bones, and pierce them through with his arrows.(KJV-1611) Num 24:8 Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.(Creole-HT) ======= Numbers 24:9 ============ Num 24:9 He couched, he lay down as a lion, and as a great lion: who shall stir him up? Blessed is he that blesseth thee, and cursed is he that curseth thee.(KJV-1611) Num 24:9 Pèp Izrayèl la chita atè a, l' ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l'? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!(Creole-HT) ======= Numbers 24:10 ============ Num 24:10 And Balak's anger was kindled against Balaam, and he smote his hands together: and Balak said unto Balaam, I called thee to curse mine enemies, and, behold, thou hast altogether blessed them these three times.(KJV-1611) Num 24:10 Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.(Creole-HT) ======= Numbers 24:11 ============ Num 24:11 Therefore now flee thou to thy place: I thought to promote thee unto great honour; but, lo, the LORD hath kept thee back from honour.(KJV-1611) Num 24:11 Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m' te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout.(Creole-HT) ======= Numbers 24:12 ============ Num 24:12 And Balaam said unto Balak, Spake I not also to thy messengers which thou sentest unto me, saying,(KJV-1611) Num 24:12 Balaram reponn, li di l' konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m' yo. Mwen te di yo:(Creole-HT) ======= Numbers 24:13 ============ Num 24:13 If Balak would give me his house full of silver and gold, I cannot go beyond the commandment of the LORD, to do either good or bad of mine own mind; but what the LORD saith, that will I speak?(KJV-1611) Num 24:13 Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di.(Creole-HT) ======= Numbers 24:14 ============ Num 24:14 And now, behold, I go unto my people: come therefore, and I will advertise thee what this people shall do to thy people in the latter days.(KJV-1611) Num 24:14 Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m' ale, vini m' di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.(Creole-HT) ======= Numbers 24:15 ============ Num 24:15 And he took up his parable, and said, Balaam the son of Beor hath said, and the man whose eyes are open hath said:(KJV-1611) Num 24:15 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,(Creole-HT) ======= Numbers 24:16 ============ Num 24:16 He hath said, which heard the words of God, and knew the knowledge of the most High, which saw the vision of the Almighty, falling into a trance, but having his eyes open:(KJV-1611) Num 24:16 moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l' wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l'.(Creole-HT) ======= Numbers 24:17 ============ Num 24:17 I shall see him, but not now: I shall behold him, but not nigh: there shall come a Star out of Jacob, and a Sceptre shall rise out of Israel, and shall smite the corners of Moab, and destroy all the children of Sheth.(KJV-1611) Num 24:17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l' pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Moab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 24:18 ============ Num 24:18 And Edom shall be a possession, Seir also shall be a possession for his enemies; and Israel shall do valiantly.(KJV-1611) Num 24:18 Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l' yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè.(Creole-HT) ======= Numbers 24:19 ============ Num 24:19 Out of Jacob shall come he that shall have dominion, and shall destroy him that remaineth of the city.(KJV-1611) Num 24:19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.(Creole-HT) ======= Numbers 24:20 ============ Num 24:20 And when he looked on Amalek, he took up his parable, and said, Amalek was the first of the nations; but his latter end shall be that he perish for ever.(KJV-1611) Num 24:20 Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 24:21 ============ Num 24:21 And he looked on the Kenites, and took up his parable, and said, Strong is thy dwellingplace, and thou puttest thy nest in a rock.(KJV-1611) Num 24:21 Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.(Creole-HT) ======= Numbers 24:22 ============ Num 24:22 Nevertheless the Kenite shall be wasted, until Asshur shall carry thee away captive.(KJV-1611) Num 24:22 Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo.(Creole-HT) ======= Numbers 24:23 ============ Num 24:23 And he took up his parable, and said, Alas, who shall live when God doeth this!(KJV-1611) Num 24:23 Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?(Creole-HT) ======= Numbers 24:24 ============ Num 24:24 And ships shall come from the coast of Chittim, and shall afflict Asshur, and shall afflict Eber, and he also shall perish for ever.(KJV-1611) Num 24:24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.(Creole-HT) ======= Numbers 24:25 ============ Num 24:25 And Balaam rose up, and went and returned to his place: and Balak also went his way.(KJV-1611) Num 24:25 Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.(Creole-HT) ======= Numbers 25:1 ============ Num 25:1 And Israel abode in Shittim, and the people began to commit whoredom with the daughters of Moab.(KJV-1611) Num 25:1 Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.(Creole-HT) ======= Numbers 25:2 ============ Num 25:2 And they called the people unto the sacrifices of their gods: and the people did eat, and bowed down to their gods.(KJV-1611) Num 25:2 Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.(Creole-HT) ======= Numbers 25:3 ============ Num 25:3 And Israel joined himself unto Baalpeor: and the anger of the LORD was kindled against Israel.(KJV-1611) Num 25:3 Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 25:4 ============ Num 25:4 And the LORD said unto Moses, Take all the heads of the people, and hang them up before the LORD against the sun, that the fierce anger of the LORD may be turned away from Israel.(KJV-1611) Num 25:4 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 25:5 ============ Num 25:5 And Moses said unto the judges of Israel, Slay ye every one his men that were joined unto Baalpeor.(KJV-1611) Num 25:5 Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò.(Creole-HT) ======= Numbers 25:6 ============ Num 25:6 And, behold, one of the children of Israel came and brought unto his brethren a Midianitish woman in the sight of Moses, and in the sight of all the congregation of the children of Israel, who were weeping before the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Num 25:6 Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 25:7 ============ Num 25:7 And when Phinehas, the son of Eleazar, the son of Aaron the priest, saw it, he rose up from among the congregation, and took a javelin in his hand;(KJV-1611) Num 25:7 Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn.(Creole-HT) ======= Numbers 25:8 ============ Num 25:8 And he went after the man of Israel into the tent, and thrust both of them through, the man of Israel, and the woman through her belly. So the plague was stayed from the children of Israel.(KJV-1611) Num 25:8 Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pèse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann.(Creole-HT) ======= Numbers 25:9 ============ Num 25:9 And those that died in the plague were twenty and four thousand.(KJV-1611) Num 25:9 Te gen vennkatmil moun ki te gen tan mouri nan epidemi an.(Creole-HT) ======= Numbers 25:10 ============ Num 25:10 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 25:10 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 25:11 ============ Num 25:11 Phinehas, the son of Eleazar, the son of Aaron the priest, hath turned my wrath away from the children of Israel, while he was zealous for my sake among them, that I consumed not the children of Israel in my jealousy.(KJV-1611) Num 25:11 -Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 25:12 ============ Num 25:12 Wherefore say, Behold, I give unto him my covenant of peace:(KJV-1611) Num 25:12 Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avè l' ki pou ba li kè poze.(Creole-HT) ======= Numbers 25:13 ============ Num 25:13 And he shall have it, and his seed after him, even the covenant of an everlasting priesthood; because he was zealous for his God, and made an atonement for the children of Israel.(KJV-1611) Num 25:13 M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Numbers 25:14 ============ Num 25:14 Now the name of the Israelite that was slain, even that was slain with the Midianitish woman, was Zimri, the son of Salu, a prince of a chief house among the Simeonites.(KJV-1611) Num 25:14 Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an.(Creole-HT) ======= Numbers 25:15 ============ Num 25:15 And the name of the Midianitish woman that was slain was Cozbi, the daughter of Zur; he was head over a people, and of a chief house in Midian.(KJV-1611) Num 25:15 Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 25:16 ============ Num 25:16 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 25:16 Lè sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l':(Creole-HT) ======= Numbers 25:17 ============ Num 25:17 Vex the Midianites, and smite them:(KJV-1611) Num 25:17 -Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bay.(Creole-HT) ======= Numbers 25:18 ============ Num 25:18 For they vex you with their wiles, wherewith they have beguiled you in the matter of Peor, and in the matter of Cozbi, the daughter of a prince of Midian, their sister, which was slain in the day of the plague for Peor's sake.(KJV-1611) Num 25:18 Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafè Peyò a, ak nan zafè Kozbi a, pitit fi chèf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:1 ============ Num 26:1 And it came to pass after the plague, that the LORD spake unto Moses and unto Eleazar the son of Aaron the priest, saying,(KJV-1611) Num 26:1 Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 26:2 ============ Num 26:2 Take the sum of all the congregation of the children of Israel, from twenty years old and upward, throughout their fathers' house, all that are able to go to war in Israel.(KJV-1611) Num 26:2 -Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Numbers 26:3 ============ Num 26:3 And Moses and Eleazar the priest spake with them in the plains of Moab by Jordan near Jericho, saying,(KJV-1611) Num 26:3 Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd(Creole-HT) ======= Numbers 26:4 ============ Num 26:4 Take the sum of the people, from twenty years old and upward; as the LORD commanded Moses and the children of Israel, which went forth out of the land of Egypt.(KJV-1611) Num 26:4 pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip:(Creole-HT) ======= Numbers 26:5 ============ Num 26:5 Reuben, the eldest son of Israel: the children of Reuben; Hanoch, of whom cometh the family of the Hanochites: of Pallu, the family of the Palluites:(KJV-1611) Num 26:5 Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:6 ============ Num 26:6 Of Hezron, the family of the Hezronites: of Carmi, the family of the Carmites.(KJV-1611) Num 26:6 fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:7 ============ Num 26:7 These are the families of the Reubenites: and they that were numbered of them were forty and three thousand and seven hundred and thirty.(KJV-1611) Num 26:7 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:8 ============ Num 26:8 And the sons of Pallu; Eliab.(KJV-1611) Num 26:8 Palou te papa Eliyab.(Creole-HT) ======= Numbers 26:9 ============ Num 26:9 And the sons of Eliab; Nemuel, and Dathan, and Abiram. This is that Dathan and Abiram, which were famous in the congregation, who strove against Moses and against Aaron in the company of Korah, when they strove against the LORD:(KJV-1611) Num 26:9 Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:10 ============ Num 26:10 And the earth opened her mouth, and swallowed them up together with Korah, when that company died, what time the fire devoured two hundred and fifty men: and they became a sign.(KJV-1611) Num 26:10 Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant moun. Se te yon avètisman pou pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 26:11 ============ Num 26:11 Notwithstanding the children of Korah died not.(KJV-1611) Num 26:11 Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:12 ============ Num 26:12 The sons of Simeon after their families: of Nemuel, the family of the Nemuelites: of Jamin, the family of the Jaminites: of Jachin, the family of the Jachinites:(KJV-1611) Num 26:12 Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:13 ============ Num 26:13 Of Zerah, the family of the Zarhites: of Shaul, the family of the Shaulites.(KJV-1611) Num 26:13 fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:14 ============ Num 26:14 These are the families of the Simeonites, twenty and two thousand and two hundred.(KJV-1611) Num 26:14 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:15 ============ Num 26:15 The children of Gad after their families: of Zephon, the family of the Zephonites: of Haggi, the family of the Haggites: of Shuni, the family of the Shunites:(KJV-1611) Num 26:15 Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:16 ============ Num 26:16 Of Ozni, the family of the Oznites: of Eri, the family of the Erites:(KJV-1611) Num 26:16 fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:17 ============ Num 26:17 Of Arod, the family of the Arodites: of Areli, the family of the Arelites.(KJV-1611) Num 26:17 fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:18 ============ Num 26:18 These are the families of the children of Gad according to those that were numbered of them, forty thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 26:18 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:19 ============ Num 26:19 The sons of Judah were Er and Onan: and Er and Onan died in the land of Canaan.(KJV-1611) Num 26:19 Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.(Creole-HT) ======= Numbers 26:20 ============ Num 26:20 And the sons of Judah after their families were; of Shelah, the family of the Shelanites: of Pharez, the family of the Pharzites: of Zerah, the family of the Zarhites.(KJV-1611) Num 26:20 Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.(Creole-HT) ======= Numbers 26:21 ============ Num 26:21 And the sons of Pharez were; of Hezron, the family of the Hezronites: of Hamul, the family of the Hamulites.(KJV-1611) Num 26:21 Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.(Creole-HT) ======= Numbers 26:22 ============ Num 26:22 These are the families of Judah according to those that were numbered of them, threescore and sixteen thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 26:22 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:23 ============ Num 26:23 Of the sons of Issachar after their families: of Tola, the family of the Tolaites: of Pua, the family of the Punites:(KJV-1611) Num 26:23 Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:24 ============ Num 26:24 Of Jashub, the family of the Jashubites: of Shimron, the family of the Shimronites.(KJV-1611) Num 26:24 fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:25 ============ Num 26:25 These are the families of Issachar according to those that were numbered of them, threescore and four thousand and three hundred.(KJV-1611) Num 26:25 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:26 ============ Num 26:26 Of the sons of Zebulun after their families: of Sered, the family of the Sardites: of Elon, the family of the Elonites: of Jahleel, the family of the Jahleelites.(KJV-1611) Num 26:26 Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:27 ============ Num 26:27 These are the families of the Zebulunites according to those that were numbered of them, threescore thousand and five hundred.(KJV-1611) Num 26:27 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:28 ============ Num 26:28 The sons of Joseph after their families were Manasseh and Ephraim.(KJV-1611) Num 26:28 Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.(Creole-HT) ======= Numbers 26:29 ============ Num 26:29 Of the sons of Manasseh: of Machir, the family of the Machirites: and Machir begat Gilead: of Gilead come the family of the Gileadites.(KJV-1611) Num 26:29 Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:30 ============ Num 26:30 These are the sons of Gilead: of Jeezer, the family of the Jeezerites: of Helek, the family of the Helekites:(KJV-1611) Num 26:30 Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:31 ============ Num 26:31 And of Asriel, the family of the Asrielites: and of Shechem, the family of the Shechemites:(KJV-1611) Num 26:31 fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:32 ============ Num 26:32 And of Shemida, the family of the Shemidaites: and of Hepher, the family of the Hepherites.(KJV-1611) Num 26:32 fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:33 ============ Num 26:33 And Zelophehad the son of Hepher had no sons, but daughters: and the names of the daughters of Zelophehad were Mahlah, and Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah.(KJV-1611) Num 26:33 Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.(Creole-HT) ======= Numbers 26:34 ============ Num 26:34 These are the families of Manasseh, and those that were numbered of them, fifty and two thousand and seven hundred.(KJV-1611) Num 26:34 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:35 ============ Num 26:35 These are the sons of Ephraim after their families: of Shuthelah, the family of the Shuthalhites: of Becher, the family of the Bachrites: of Tahan, the family of the Tahanites.(KJV-1611) Num 26:35 Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:36 ============ Num 26:36 And these are the sons of Shuthelah: of Eran, the family of the Eranites.(KJV-1611) Num 26:36 Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.(Creole-HT) ======= Numbers 26:37 ============ Num 26:37 These are the families of the sons of Ephraim according to those that were numbered of them, thirty and two thousand and five hundred. These are the sons of Joseph after their families.(KJV-1611) Num 26:37 Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:38 ============ Num 26:38 The sons of Benjamin after their families: of Bela, the family of the Belaites: of Ashbel, the family of the Ashbelites: of Ahiram, the family of the Ahiramites:(KJV-1611) Num 26:38 Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:39 ============ Num 26:39 Of Shupham, the family of the Shuphamites: of Hupham, the family of the Huphamites.(KJV-1611) Num 26:39 fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:40 ============ Num 26:40 And the sons of Bela were Ard and Naaman: of Ard, the family of the Ardites: and of Naaman, the family of the Naamites.(KJV-1611) Num 26:40 Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.(Creole-HT) ======= Numbers 26:41 ============ Num 26:41 These are the sons of Benjamin after their families: and they that were numbered of them were forty and five thousand and six hundred.(KJV-1611) Num 26:41 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:42 ============ Num 26:42 These are the sons of Dan after their families: of Shuham, the family of the Shuhamites. These are the families of Dan after their families.(KJV-1611) Num 26:42 Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.(Creole-HT) ======= Numbers 26:43 ============ Num 26:43 All the families of the Shuhamites, according to those that were numbered of them, were threescore and four thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 26:43 Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:44 ============ Num 26:44 Of the children of Asher after their families: of Jimna, the family of the Jimnites: of Jesui, the family of the Jesuites: of Beriah, the family of the Beriites.(KJV-1611) Num 26:44 Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:45 ============ Num 26:45 Of the sons of Beriah: of Heber, the family of the Heberites: of Malchiel, the family of the Malchielites.(KJV-1611) Num 26:45 Berya pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl.(Creole-HT) ======= Numbers 26:46 ============ Num 26:46 And the name of the daughter of Asher was Sarah.(KJV-1611) Num 26:46 Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera.(Creole-HT) ======= Numbers 26:47 ============ Num 26:47 These are the families of the sons of Asher according to those that were numbered of them; who were fifty and three thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 26:47 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan gason nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:48 ============ Num 26:48 Of the sons of Naphtali after their families: of Jahzeel, the family of the Jahzeelites: of Guni, the family of the Gunites:(KJV-1611) Num 26:48 Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo,(Creole-HT) ======= Numbers 26:49 ============ Num 26:49 Of Jezer, the family of the Jezerites: of Shillem, the family of the Shillemites.(KJV-1611) Num 26:49 fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:50 ============ Num 26:50 These are the families of Naphtali according to their families: and they that were numbered of them were forty and five thousand and four hundred.(KJV-1611) Num 26:50 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan gason nan fanmi sa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:51 ============ Num 26:51 These were the numbered of the children of Israel, six hundred thousand and a thousand seven hundred and thirty.(KJV-1611) Num 26:51 Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant gason nan tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 26:52 ============ Num 26:52 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 26:52 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 26:53 ============ Num 26:53 Unto these the land shall be divided for an inheritance according to the number of names.(KJV-1611) Num 26:53 -Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.(Creole-HT) ======= Numbers 26:54 ============ Num 26:54 To many thou shalt give the more inheritance, and to few thou shalt give the less inheritance: to every one shall his inheritance be given according to those that were numbered of him.(KJV-1611) Num 26:54 Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.(Creole-HT) ======= Numbers 26:55 ============ Num 26:55 Notwithstanding the land shall be divided by lot: according to the names of the tribes of their fathers they shall inherit.(KJV-1611) Num 26:55 Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.(Creole-HT) ======= Numbers 26:56 ============ Num 26:56 According to the lot shall the possession thereof be divided between many and few.(KJV-1611) Num 26:56 Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil.(Creole-HT) ======= Numbers 26:57 ============ Num 26:57 And these are they that were numbered of the Levites after their families: of Gershon, the family of the Gershonites: of Kohath, the family of the Kohathites: of Merari, the family of the Merarites.(KJV-1611) Num 26:57 Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:58 ============ Num 26:58 These are the families of the Levites: the family of the Libnites, the family of the Hebronites, the family of the Mahlites, the family of the Mushites, the family of the Korathites. And Kohath begat Amram.(KJV-1611) Num 26:58 Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.(Creole-HT) ======= Numbers 26:59 ============ Num 26:59 And the name of Amram's wife was Jochebed, the daughter of Levi, whom her mother bare to Levi in Egypt: and she bare unto Amram Aaron and Moses, and Miriam their sister.(KJV-1611) Num 26:59 Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.(Creole-HT) ======= Numbers 26:60 ============ Num 26:60 And unto Aaron was born Nadab, and Abihu, Eleazar, and Ithamar.(KJV-1611) Num 26:60 Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.(Creole-HT) ======= Numbers 26:61 ============ Num 26:61 And Nadab and Abihu died, when they offered strange fire before the LORD.(KJV-1611) Num 26:61 Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri.(Creole-HT) ======= Numbers 26:62 ============ Num 26:62 And those that were numbered of them were twenty and three thousand, all males from a month old and upward: for they were not numbered among the children of Israel, because there was no inheritance given them among the children of Israel.(KJV-1611) Num 26:62 Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 26:63 ============ Num 26:63 These are they that were numbered by Moses and Eleazar the priest, who numbered the children of Israel in the plains of Moab by Jordan near Jericho.(KJV-1611) Num 26:63 Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Numbers 26:64 ============ Num 26:64 But among these there was not a man of them whom Moses and Aaron the priest numbered, when they numbered the children of Israel in the wilderness of Sinai.(KJV-1611) Num 26:64 Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.(Creole-HT) ======= Numbers 26:65 ============ Num 26:65 For the LORD had said of them, They shall surely die in the wilderness. And there was not left a man of them, save Caleb the son of Jephunneh, and Joshua the son of Nun.(KJV-1611) Num 26:65 Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.(Creole-HT) ======= Numbers 27:1 ============ Num 27:1 Then came the daughters of Zelophehad, the son of Hepher, the son of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh, of the families of Manasseh the son of Joseph: and these are the names of his daughters; Mahlah, Noah, and Hoglah, and Milcah, and Tirzah.(KJV-1611) Num 27:1 Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.(Creole-HT) ======= Numbers 27:2 ============ Num 27:2 And they stood before Moses, and before Eleazar the priest, and before the princes and all the congregation, by the door of the tabernacle of the congregation, saying,(KJV-1611) Num 27:2 Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:(Creole-HT) ======= Numbers 27:3 ============ Num 27:3 Our father died in the wilderness, and he was not in the company of them that gathered themselves together against the LORD in the company of Korah; but died in his own sin, and had no sons.(KJV-1611) Num 27:3 -Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason.(Creole-HT) ======= Numbers 27:4 ============ Num 27:4 Why should the name of our father be done away from among his family, because he hath no son? Give unto us therefore a possession among the brethren of our father.(KJV-1611) Num 27:4 Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.(Creole-HT) ======= Numbers 27:5 ============ Num 27:5 And Moses brought their cause before the LORD.(KJV-1611) Num 27:5 Moyiz al pale koze a avèk Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 27:6 ============ Num 27:6 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 27:6 Seyè a di l' konsa;(Creole-HT) ======= Numbers 27:7 ============ Num 27:7 The daughters of Zelophehad speak right: thou shalt surely give them a possession of an inheritance among their father's brethren; and thou shalt cause the inheritance of their father to pass unto them.(KJV-1611) Num 27:7 -Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 27:8 ============ Num 27:8 And thou shalt speak unto the children of Israel, saying, If a man die, and have no son, then ye shall cause his inheritance to pass unto his daughter.(KJV-1611) Num 27:8 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:9 ============ Num 27:9 And if he have no daughter, then ye shall give his inheritance unto his brethren.(KJV-1611) Num 27:9 Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:10 ============ Num 27:10 And if he have no brethren, then ye shall give his inheritance unto his father's brethren.(KJV-1611) Num 27:10 Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:11 ============ Num 27:11 And if his father have no brethren, then ye shall give his inheritance unto his kinsman that is next to him of his family, and he shall possess it: and it shall be unto the children of Israel a statute of judgment, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 27:11 Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 27:12 ============ Num 27:12 And the LORD said unto Moses, Get thee up into this mount Abarim, and see the land which I have given unto the children of Israel.(KJV-1611) Num 27:12 Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:13 ============ Num 27:13 And when thou hast seen it, thou also shalt be gathered unto thy people, as Aaron thy brother was gathered.(KJV-1611) Num 27:13 Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.(Creole-HT) ======= Numbers 27:14 ============ Num 27:14 For ye rebelled against my commandment in the desert of Zin, in the strife of the congregation, to sanctify me at the water before their eyes: that is the water of Meribah in Kadesh in the wilderness of Zin.(KJV-1611) Num 27:14 paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)(Creole-HT) ======= Numbers 27:15 ============ Num 27:15 And Moses spake unto the LORD, saying,(KJV-1611) Num 27:15 Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 27:16 ============ Num 27:16 Let the LORD, the God of the spirits of all flesh, set a man over the congregation,(KJV-1611) Num 27:16 -O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,(Creole-HT) ======= Numbers 27:17 ============ Num 27:17 Which may go out before them, and which may go in before them, and which may lead them out, and which may bring them in; that the congregation of the LORD be not as sheep which have no shepherd.(KJV-1611) Num 27:17 yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:18 ============ Num 27:18 And the LORD said unto Moses, Take thee Joshua the son of Nun, a man in whom is the spirit, and lay thine hand upon him;(KJV-1611) Num 27:18 Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li,(Creole-HT) ======= Numbers 27:19 ============ Num 27:19 And set him before Eleazar the priest, and before all the congregation; and give him a charge in their sight.(KJV-1611) Num 27:19 epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.(Creole-HT) ======= Numbers 27:20 ============ Num 27:20 And thou shalt put some of thine honour upon him, that all the congregation of the children of Israel may be obedient.(KJV-1611) Num 27:20 W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'.(Creole-HT) ======= Numbers 27:21 ============ Num 27:21 And he shall stand before Eleazar the priest, who shall ask counsel for him after the judgment of Urim before the LORD: at his word shall they go out, and at his word they shall come in, both he, and all the children of Israel with him, even all the congregation.(KJV-1611) Num 27:21 L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.(Creole-HT) ======= Numbers 27:22 ============ Num 27:22 And Moses did as the LORD commanded him: and he took Joshua, and set him before Eleazar the priest, and before all the congregation:(KJV-1611) Num 27:22 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 27:23 ============ Num 27:23 And he laid his hands upon him, and gave him a charge, as the LORD commanded by the hand of Moses.(KJV-1611) Num 27:23 Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 28:1 ============ Num 28:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 28:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 28:2 ============ Num 28:2 Command the children of Israel, and say unto them, My offering, and my bread for my sacrifices made by fire, for a sweet savour unto me, shall ye observe to offer unto me in their due season.(KJV-1611) Num 28:2 -Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.(Creole-HT) ======= Numbers 28:3 ============ Num 28:3 And thou shalt say unto them, This is the offering made by fire which ye shall offer unto the LORD; two lambs of the first year without spot day by day, for a continual burnt offering.(KJV-1611) Num 28:3 W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.(Creole-HT) ======= Numbers 28:4 ============ Num 28:4 The one lamb shalt thou offer in the morning, and the other lamb shalt thou offer at even;(KJV-1611) Num 28:4 N'a ofri premye ti mouton an nan maten, n'a ofri lòt la nan aswè.(Creole-HT) ======= Numbers 28:5 ============ Num 28:5 And a tenth part of an ephah of flour for a meat offering, mingled with the fourth part of an hin of beaten oil.(KJV-1611) Num 28:5 Ansanm avèk chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn.(Creole-HT) ======= Numbers 28:6 ============ Num 28:6 It is a continual burnt offering, which was ordained in mount Sinai for a sweet savour, a sacrifice made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Num 28:6 (Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.)(Creole-HT) ======= Numbers 28:7 ============ Num 28:7 And the drink offering thereof shall be the fourth part of an hin for the one lamb: in the holy place shalt thou cause the strong wine to be poured unto the LORD for a drink offering.(KJV-1611) Num 28:7 Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 28:8 ============ Num 28:8 And the other lamb shalt thou offer at even: as the meat offering of the morning, and as the drink offering thereof, thou shalt offer it, a sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the LORD.(KJV-1611) Num 28:8 Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Numbers 28:9 ============ Num 28:9 And on the sabbath day two lambs of the first year without spot, and two tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, and the drink offering thereof:(KJV-1611) Num 28:9 Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.(Creole-HT) ======= Numbers 28:10 ============ Num 28:10 This is the burnt offering of every sabbath, beside the continual burnt offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 28:10 Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo.(Creole-HT) ======= Numbers 28:11 ============ Num 28:11 And in the beginnings of your months ye shall offer a burnt offering unto the LORD; two young bullocks, and one ram, seven lambs of the first year without spot;(KJV-1611) Num 28:11 Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 28:12 ============ Num 28:12 And three tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, for one bullock; and two tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, for one ram;(KJV-1611) Num 28:12 N'a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n'a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n'a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje.(Creole-HT) ======= Numbers 28:13 ============ Num 28:13 And a several tenth deal of flour mingled with oil for a meat offering unto one lamb; for a burnt offering of a sweet savour, a sacrifice made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Num 28:13 Pou chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Numbers 28:14 ============ Num 28:14 And their drink offerings shall be half an hin of wine unto a bullock, and the third part of an hin unto a ram, and a fourth part of an hin unto a lamb: this is the burnt offering of every month throughout the months of the year.(KJV-1611) Num 28:14 N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.(Creole-HT) ======= Numbers 28:15 ============ Num 28:15 And one kid of the goats for a sin offering unto the LORD shall be offered, beside the continual burnt offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 28:15 Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 28:16 ============ Num 28:16 And in the fourteenth day of the first month is the passover of the LORD.(KJV-1611) Num 28:16 Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 28:17 ============ Num 28:17 And in the fifteenth day of this month is the feast: seven days shall unleavened bread be eaten.(KJV-1611) Num 28:17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.(Creole-HT) ======= Numbers 28:18 ============ Num 28:18 In the first day shall be an holy convocation; ye shall do no manner of servile work therein:(KJV-1611) Num 28:18 Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.(Creole-HT) ======= Numbers 28:19 ============ Num 28:19 But ye shall offer a sacrifice made by fire for a burnt offering unto the LORD; two young bullocks, and one ram, and seven lambs of the first year: they shall be unto you without blemish:(KJV-1611) Num 28:19 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 28:20 ============ Num 28:20 And their meat offering shall be of flour mingled with oil: three tenth deals shall ye offer for a bullock, and two tenth deals for a ram;(KJV-1611) Num 28:20 N'a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an,(Creole-HT) ======= Numbers 28:21 ============ Num 28:21 A several tenth deal shalt thou offer for every lamb, throughout the seven lambs:(KJV-1611) Num 28:21 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton.(Creole-HT) ======= Numbers 28:22 ============ Num 28:22 And one goat for a sin offering, to make an atonement for you.(KJV-1611) Num 28:22 N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 28:23 ============ Num 28:23 Ye shall offer these beside the burnt offering in the morning, which is for a continual burnt offering.(KJV-1611) Num 28:23 N'a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a.(Creole-HT) ======= Numbers 28:24 ============ Num 28:24 After this manner ye shall offer daily, throughout the seven days, the meat of the sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the LORD: it shall be offered beside the continual burnt offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 28:24 Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 28:25 ============ Num 28:25 And on the seventh day ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work.(KJV-1611) Num 28:25 Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis.(Creole-HT) ======= Numbers 28:26 ============ Num 28:26 Also in the day of the firstfruits, when ye bring a new meat offering unto the LORD, after your weeks be out, ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work:(KJV-1611) Num 28:26 Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.(Creole-HT) ======= Numbers 28:27 ============ Num 28:27 But ye shall offer the burnt offering for a sweet savour unto the LORD; two young bullocks, one ram, seven lambs of the first year;(KJV-1611) Num 28:27 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 28:28 ============ Num 28:28 And their meat offering of flour mingled with oil, three tenth deals unto one bullock, two tenth deals unto one ram,(KJV-1611) Num 28:28 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an(Creole-HT) ======= Numbers 28:29 ============ Num 28:29 A several tenth deal unto one lamb, throughout the seven lambs;(KJV-1611) Num 28:29 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.(Creole-HT) ======= Numbers 28:30 ============ Num 28:30 And one kid of the goats, to make an atonement for you.(KJV-1611) Num 28:30 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 28:31 ============ Num 28:31 Ye shall offer them beside the continual burnt offering, and his meat offering, (they shall be unto you without blemish) and their drink offerings.(KJV-1611) Num 28:31 N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:1 ============ Num 29:1 And in the seventh month, on the first day of the month, ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work: it is a day of blowing the trumpets unto you.(KJV-1611) Num 29:1 Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.(Creole-HT) ======= Numbers 29:2 ============ Num 29:2 And ye shall offer a burnt offering for a sweet savour unto the LORD; one young bullock, one ram, and seven lambs of the first year without blemish:(KJV-1611) Num 29:2 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, men ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: yon jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:3 ============ Num 29:3 And their meat offering shall be of flour mingled with oil, three tenth deals for a bullock, and two tenth deals for a ram,(KJV-1611) Num 29:3 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin frans pou towo a, katòz ti mamit pou belye mouton an,(Creole-HT) ======= Numbers 29:4 ============ Num 29:4 And one tenth deal for one lamb, throughout the seven lambs:(KJV-1611) Num 29:4 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.(Creole-HT) ======= Numbers 29:5 ============ Num 29:5 And one kid of the goats for a sin offering, to make an atonement for you:(KJV-1611) Num 29:5 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.(Creole-HT) ======= Numbers 29:6 ============ Num 29:6 Beside the burnt offering of the month, and his meat offering, and the daily burnt offering, and his meat offering, and their drink offerings, according unto their manner, for a sweet savour, a sacrifice made by fire unto the LORD.(KJV-1611) Num 29:6 N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l' la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Seyè a. Se va ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant yo.(Creole-HT) ======= Numbers 29:7 ============ Num 29:7 And ye shall have on the tenth day of this seventh month an holy convocation; and ye shall afflict your souls: ye shall not do any work therein:(KJV-1611) Num 29:7 Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay.(Creole-HT) ======= Numbers 29:8 ============ Num 29:8 But ye shall offer a burnt offering unto the LORD for a sweet savour; one young bullock, one ram, and seven lambs of the first year; they shall be unto you without blemish:(KJV-1611) Num 29:8 N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:9 ============ Num 29:9 And their meat offering shall be of flour mingled with oil, three tenth deals to a bullock, and two tenth deals to one ram,(KJV-1611) Num 29:9 N'a fè ofrann grenn jaden ki pou mache ak chak bèt sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin pou towo bèf la, katòz ti mamit pou belye mouton an(Creole-HT) ======= Numbers 29:10 ============ Num 29:10 A several tenth deal for one lamb, throughout the seven lambs:(KJV-1611) Num 29:10 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.(Creole-HT) ======= Numbers 29:11 ============ Num 29:11 One kid of the goats for a sin offering; beside the sin offering of atonement, and the continual burnt offering, and the meat offering of it, and their drink offerings.(KJV-1611) Num 29:11 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 29:12 ============ Num 29:12 And on the fifteenth day of the seventh month ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work, and ye shall keep a feast unto the LORD seven days:(KJV-1611) Num 29:12 Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Numbers 29:13 ============ Num 29:13 And ye shall offer a burnt offering, a sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the LORD; thirteen young bullocks, two rams, and fourteen lambs of the first year; they shall be without blemish:(KJV-1611) Num 29:13 Premye jou a, n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:14 ============ Num 29:14 And their meat offering shall be of flour mingled with oil, three tenth deals unto every bullock of the thirteen bullocks, two tenth deals to each ram of the two rams,(KJV-1611) Num 29:14 Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye,(Creole-HT) ======= Numbers 29:15 ============ Num 29:15 And a several tenth deal to each lamb of the fourteen lambs:(KJV-1611) Num 29:15 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak.(Creole-HT) ======= Numbers 29:16 ============ Num 29:16 And one kid of the goats for a sin offering; beside the continual burnt offering, his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:16 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l' yo.(Creole-HT) ======= Numbers 29:17 ============ Num 29:17 And on the second day ye shall offer twelve young bullocks, two rams, fourteen lambs of the first year without spot:(KJV-1611) Num 29:17 Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:18 ============ Num 29:18 And their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:18 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:19 ============ Num 29:19 And one kid of the goats for a sin offering; beside the continual burnt offering, and the meat offering thereof, and their drink offerings.(KJV-1611) Num 29:19 Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Seyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:20 ============ Num 29:20 And on the third day eleven bullocks, two rams, fourteen lambs of the first year without blemish;(KJV-1611) Num 29:20 Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:21 ============ Num 29:21 And their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:21 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:22 ============ Num 29:22 And one goat for a sin offering; beside the continual burnt offering, and his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:22 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:23 ============ Num 29:23 And on the fourth day ten bullocks, two rams, and fourteen lambs of the first year without blemish:(KJV-1611) Num 29:23 Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:24 ============ Num 29:24 Their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:24 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:25 ============ Num 29:25 And one kid of the goats for a sin offering; beside the continual burnt offering, his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:25 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:26 ============ Num 29:26 And on the fifth day nine bullocks, two rams, and fourteen lambs of the first year without spot:(KJV-1611) Num 29:26 Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:27 ============ Num 29:27 And their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:27 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:28 ============ Num 29:28 And one goat for a sin offering; beside the continual burnt offering, and his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:28 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:29 ============ Num 29:29 And on the sixth day eight bullocks, two rams, and fourteen lambs of the first year without blemish:(KJV-1611) Num 29:29 Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:30 ============ Num 29:30 And their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:30 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:31 ============ Num 29:31 And one goat for a sin offering; beside the continual burnt offering, his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:31 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:32 ============ Num 29:32 And on the seventh day seven bullocks, two rams, and fourteen lambs of the first year without blemish:(KJV-1611) Num 29:32 Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:33 ============ Num 29:33 And their meat offering and their drink offerings for the bullocks, for the rams, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:33 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.(Creole-HT) ======= Numbers 29:34 ============ Num 29:34 And one goat for a sin offering; beside the continual burnt offering, his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:34 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.(Creole-HT) ======= Numbers 29:35 ============ Num 29:35 On the eighth day ye shall have a solemn assembly: ye shall do no servile work therein:(KJV-1611) Num 29:35 Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay.(Creole-HT) ======= Numbers 29:36 ============ Num 29:36 But ye shall offer a burnt offering, a sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the LORD: one bullock, one ram, seven lambs of the first year without blemish:(KJV-1611) Num 29:36 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.(Creole-HT) ======= Numbers 29:37 ============ Num 29:37 Their meat offering and their drink offerings for the bullock, for the ram, and for the lambs, shall be according to their number, after the manner:(KJV-1611) Num 29:37 Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an,(Creole-HT) ======= Numbers 29:38 ============ Num 29:38 And one goat for a sin offering; beside the continual burnt offering, and his meat offering, and his drink offering.(KJV-1611) Num 29:38 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= Numbers 29:39 ============ Num 29:39 These things ye shall do unto the LORD in your set feasts, beside your vows, and your freewill offerings, for your burnt offerings, and for your meat offerings, and for your drink offerings, and for your peace offerings.(KJV-1611) Num 29:39 Men tou sa nou va ofri bay Seyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l', mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Numbers 29:40 ============ Num 29:40 And Moses told the children of Israel according to all that the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 29:40 Se konsa Moyiz te di pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.(Creole-HT) ======= Numbers 30:1 ============ Num 30:1 And Moses spake unto the heads of the tribes concerning the children of Israel, saying, This is the thing which the LORD hath commanded.(KJV-1611) Num 30:1 Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay.(Creole-HT) ======= Numbers 30:2 ============ Num 30:2 If a man vow a vow unto the LORD, or swear an oath to bind his soul with a bond; he shall not break his word, he shall do according to all that proceedeth out of his mouth.(KJV-1611) Num 30:2 Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 30:3 ============ Num 30:3 If a woman also vow a vow unto the LORD, and bind herself by a bond, being in her father's house in her youth;(KJV-1611) Num 30:3 Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay,(Creole-HT) ======= Numbers 30:4 ============ Num 30:4 And her father hear her vow, and her bond wherewith she hath bound her soul, and her father shall hold his peace at her; then all her vows shall stand, and every bond wherewith she hath bound her soul shall stand.(KJV-1611) Num 30:4 lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 30:5 ============ Num 30:5 But if her father disallow her in the day that he heareth; not any of her vows, or of her bonds wherewith she hath bound her soul, shall stand: and the LORD shall forgive her, because her father disallowed her.(KJV-1611) Num 30:5 Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Numbers 30:6 ============ Num 30:6 And if she had at all an husband, when she vowed, or uttered ought out of her lips, wherewith she bound her soul;(KJV-1611) Num 30:6 Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye,(Creole-HT) ======= Numbers 30:7 ============ Num 30:7 And her husband heard it, and held his peace at her in the day that he heard it: then her vows shall stand, and her bonds wherewith she bound her soul shall stand.(KJV-1611) Num 30:7 epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 30:8 ============ Num 30:8 But if her husband disallowed her on the day that he heard it; then he shall make her vow which she vowed, and that which she uttered with her lips, wherewith she bound her soul, of none effect: and the LORD shall forgive her.(KJV-1611) Num 30:8 Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 30:9 ============ Num 30:9 But every vow of a widow, and of her that is divorced, wherewith they have bound their souls, shall stand against her.(KJV-1611) Num 30:9 Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Numbers 30:10 ============ Num 30:10 And if she vowed in her husband's house, or bound her soul by a bond with an oath;(KJV-1611) Num 30:10 Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay,(Creole-HT) ======= Numbers 30:11 ============ Num 30:11 And her husband heard it, and held his peace at her, and disallowed her not: then all her vows shall stand, and every bond wherewith she bound her soul shall stand.(KJV-1611) Num 30:11 epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye.(Creole-HT) ======= Numbers 30:12 ============ Num 30:12 But if her husband hath utterly made them void on the day he heard them; then whatsoever proceeded out of her lips concerning her vows, or concerning the bond of her soul, shall not stand: her husband hath made them void; and the LORD shall forgive her.(KJV-1611) Num 30:12 Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 30:13 ============ Num 30:13 Every vow, and every binding oath to afflict the soul, her husband may establish it, or her husband may make it void.(KJV-1611) Num 30:13 Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 30:14 ============ Num 30:14 But if her husband altogether hold his peace at her from day to day; then he establisheth all her vows, or all her bonds, which are upon her: he confirmeth them, because he held his peace at her in the day that he heard them.(KJV-1611) Num 30:14 Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò.(Creole-HT) ======= Numbers 30:15 ============ Num 30:15 But if he shall any ways make them void after that he hath heard them; then he shall bear her iniquity.(KJV-1611) Num 30:15 Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a.(Creole-HT) ======= Numbers 30:16 ============ Num 30:16 These are the statutes, which the LORD commanded Moses, between a man and his wife, between the father and his daughter, being yet in her youth in her father's house.(KJV-1611) Num 30:16 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.(Creole-HT) ======= Numbers 31:1 ============ Num 31:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 31:1 Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 31:2 ============ Num 31:2 Avenge the children of Israel of the Midianites: afterward shalt thou be gathered unto thy people.(KJV-1611) Num 31:2 -Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.(Creole-HT) ======= Numbers 31:3 ============ Num 31:3 And Moses spake unto the people, saying, Arm some of yourselves unto the war, and let them go against the Midianites, and avenge the LORD of Midian.(KJV-1611) Num 31:3 Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:4 ============ Num 31:4 Of every tribe a thousand, throughout all the tribes of Israel, shall ye send to the war.(KJV-1611) Num 31:4 N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n' voye al goumen.(Creole-HT) ======= Numbers 31:5 ============ Num 31:5 So there were delivered out of the thousands of Israel, a thousand of every tribe, twelve thousand armed for war.(KJV-1611) Num 31:5 Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil gason antou ki te pare pou al goumen.(Creole-HT) ======= Numbers 31:6 ============ Num 31:6 And Moses sent them to the war, a thousand of every tribe, them and Phinehas the son of Eleazar the priest, to the war, with the holy instruments, and the trumpets to blow in his hand.(KJV-1611) Num 31:6 Moyiz voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:7 ============ Num 31:7 And they warred against the Midianites, as the LORD commanded Moses; and they slew all the males.(KJV-1611) Num 31:7 Yo atake moun Madyan yo jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:8 ============ Num 31:8 And they slew the kings of Midian, beside the rest of them that were slain; namely, Evi, and Rekem, and Zur, and Hur, and Reba, five kings of Midian: Balaam also the son of Beor they slew with the sword.(KJV-1611) Num 31:8 Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.(Creole-HT) ======= Numbers 31:9 ============ Num 31:9 And the children of Israel took all the women of Midian captives, and their little ones, and took the spoil of all their cattle, and all their flocks, and all their goods.(KJV-1611) Num 31:9 Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:10 ============ Num 31:10 And they burnt all their cities wherein they dwelt, and all their goodly castles, with fire.(KJV-1611) Num 31:10 Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete.(Creole-HT) ======= Numbers 31:11 ============ Num 31:11 And they took all the spoil, and all the prey, both of men and of beasts.(KJV-1611) Num 31:11 Apre sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo,(Creole-HT) ======= Numbers 31:12 ============ Num 31:12 And they brought the captives, and the prey, and the spoil, unto Moses, and Eleazar the priest, and unto the congregation of the children of Israel, unto the camp at the plains of Moab, which are by Jordan near Jericho.(KJV-1611) Num 31:12 yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Numbers 31:13 ============ Num 31:13 And Moses, and Eleazar the priest, and all the princes of the congregation, went forth to meet them without the camp.(KJV-1611) Num 31:13 Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo soti nan kan an al kontre lame a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:14 ============ Num 31:14 And Moses was wroth with the officers of the host, with the captains over thousands, and captains over hundreds, which came from the battle.(KJV-1611) Num 31:14 Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo ki t'ap tounen soti nan lagè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:15 ============ Num 31:15 And Moses said unto them, Have ye saved all the women alive?(KJV-1611) Num 31:15 Li di yo konsa: -Poukisa nou pa touye tout medam sa yo?(Creole-HT) ======= Numbers 31:16 ============ Num 31:16 Behold, these caused the children of Israel, through the counsel of Balaam, to commit trespass against the LORD in the matter of Peor, and there was a plague among the congregation of the LORD.(KJV-1611) Num 31:16 Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 31:17 ============ Num 31:17 Now therefore kill every male among the little ones, and kill every woman that hath known man by lying with him.(KJV-1611) Num 31:17 Se pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja.(Creole-HT) ======= Numbers 31:18 ============ Num 31:18 But all the women children, that have not known a man by lying with him, keep alive for yourselves.(KJV-1611) Num 31:18 Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou.(Creole-HT) ======= Numbers 31:19 ============ Num 31:19 And do ye abide without the camp seven days: whosoever hath killed any person, and whosoever hath touched any slain, purify both yourselves and your captives on the third day, and on the seventh day.(KJV-1611) Num 31:19 Men, nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 31:20 ============ Num 31:20 And purify all your raiment, and all that is made of skins, and all work of goats' hair, and all things made of wood.(KJV-1611) Num 31:20 N'a fè sèvis pou mete tout rad ak tout bagay ki fèt ak po bèt, bagay ki fèt ak pwal kabrit, bagay ki fèt an bwa, nan kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:21 ============ Num 31:21 And Eleazar the priest said unto the men of war which went to the battle, This is the ordinance of the law which the LORD commanded Moses;(KJV-1611) Num 31:21 Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen soti nan lagè yo. Li di yo konsa: -Men yon regleman nou jwenn nan lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= Numbers 31:22 ============ Num 31:22 Only the gold, and the silver, the brass, the iron, the tin, and the lead,(KJV-1611) Num 31:22 Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon,(Creole-HT) ======= Numbers 31:23 ============ Num 31:23 Every thing that may abide the fire, ye shall make it go through the fire, and it shall be clean: nevertheless it shall be purified with the water of separation: and all that abideth not the fire ye shall make go through the water.(KJV-1611) Num 31:23 tou sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Numbers 31:24 ============ Num 31:24 And ye shall wash your clothes on the seventh day, and ye shall be clean, and afterward ye shall come into the camp.(KJV-1611) Num 31:24 Sou setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.(Creole-HT) ======= Numbers 31:25 ============ Num 31:25 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 31:25 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 31:26 ============ Num 31:26 Take the sum of the prey that was taken, both of man and of beast, thou, and Eleazar the priest, and the chief fathers of the congregation:(KJV-1611) Num 31:26 -Ou menm, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl yo, n'a konte tou sa lame a te ranmase nan lagè a, san bliye bèt yo ak prizonye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:27 ============ Num 31:27 And divide the prey into two parts; between them that took the war upon them, who went out to battle, and between all the congregation:(KJV-1611) Num 31:27 Apre sa, n'a separe tout bagay mwatye pou mwatye, mwatye pou moun ki te al goumen yo, mwatye pou rès moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:28 ============ Num 31:28 And levy a tribute unto the Lord of the men of war which went out to battle: one soul of five hundred, both of the persons, and of the beeves, and of the asses, and of the sheep:(KJV-1611) Num 31:28 Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:29 ============ Num 31:29 Take it of their half, and give it unto Eleazar the priest, for an heave offering of the LORD.(KJV-1611) Num 31:29 Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:30 ============ Num 31:30 And of the children of Israel's half, thou shalt take one portion of fifty, of the persons, of the beeves, of the asses, and of the flocks, of all manner of beasts, and give them unto the Levites, which keep the charge of the tabernacle of the LORD.(KJV-1611) Num 31:30 Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:31 ============ Num 31:31 And Moses and Eleazar the priest did as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 31:31 Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:32 ============ Num 31:32 And the booty, being the rest of the prey which the men of war had caught, was six hundred thousand and seventy thousand and five thousand sheep,(KJV-1611) Num 31:32 San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil mouton ak kabrit,(Creole-HT) ======= Numbers 31:33 ============ Num 31:33 And threescore and twelve thousand beeves,(KJV-1611) Num 31:33 swasanndouzmil bèf,(Creole-HT) ======= Numbers 31:34 ============ Num 31:34 And threescore and one thousand asses,(KJV-1611) Num 31:34 swasanteyenmil bourik,(Creole-HT) ======= Numbers 31:35 ============ Num 31:35 And thirty and two thousand persons in all, of women that had not known man by lying with him.(KJV-1611) Num 31:35 tranndemil jenn fi ki poko janm kouche ak gason.(Creole-HT) ======= Numbers 31:36 ============ Num 31:36 And the half, which was the portion of them that went out to war, was in number three hundred thousand and seven and thirty thousand and five hundred sheep:(KJV-1611) Num 31:36 Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Seyè a ladan l'. Sa te fè twasantrannsètmil senksan mouton ak kabrit,(Creole-HT) ======= Numbers 31:37 ============ Num 31:37 And the LORD's tribute of the sheep was six hundred and threescore and fifteen.(KJV-1611) Num 31:37 ak sisanswasannkenz ladan yo pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Numbers 31:38 ============ Num 31:38 And the beeves were thirty and six thousand; of which the LORD's tribute was threescore and twelve.(KJV-1611) Num 31:38 trannsimil bèf ak swasanndouz ladan yo pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Numbers 31:39 ============ Num 31:39 And the asses were thirty thousand and five hundred; of which the LORD's tribute was threescore and one.(KJV-1611) Num 31:39 trantmil senksan bourik ak swasanteyen ladan yo pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Numbers 31:40 ============ Num 31:40 And the persons were sixteen thousand; of which the LORD's tribute was thirty and two persons.(KJV-1611) Num 31:40 sèzmil jenn fi ak trannde ladan yo pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:41 ============ Num 31:41 And Moses gave the tribute, which was the LORD's heave offering, unto Eleazar the priest, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 31:41 Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 31:42 ============ Num 31:42 And of the children of Israel's half, which Moses divided from the men that warred,(KJV-1611) Num 31:42 Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo,(Creole-HT) ======= Numbers 31:43 ============ Num 31:43 (Now the half that pertained unto the congregation was three hundred thousand and thirty thousand and seven thousand and five hundred sheep,(KJV-1611) Num 31:43 men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan mouton ak kabrit,(Creole-HT) ======= Numbers 31:44 ============ Num 31:44 And thirty and six thousand beeves,(KJV-1611) Num 31:44 trannsimil bèf,(Creole-HT) ======= Numbers 31:45 ============ Num 31:45 And thirty thousand asses and five hundred,(KJV-1611) Num 31:45 trantmil senksan bourik ak(Creole-HT) ======= Numbers 31:46 ============ Num 31:46 And sixteen thousand persons;)(KJV-1611) Num 31:46 sèzmil jenn fi.(Creole-HT) ======= Numbers 31:47 ============ Num 31:47 Even of the children of Israel's half, Moses took one portion of fifty, both of man and of beast, and gave them unto the Levites, which kept the charge of the tabernacle of the LORD; as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Num 31:47 Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 31:48 ============ Num 31:48 And the officers which were over thousands of the host, the captains of thousands, and captains of hundreds, came near unto Moses:(KJV-1611) Num 31:48 Lè sa a, tout moun ki te chèf lame a, chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo, yo tout vin jwenn Moyiz.(Creole-HT) ======= Numbers 31:49 ============ Num 31:49 And they said unto Moses, Thy servants have taken the sum of the men of war which are under our charge, and there lacketh not one man of us.(KJV-1611) Num 31:49 Epi yo di l': -Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la.(Creole-HT) ======= Numbers 31:50 ============ Num 31:50 We have therefore brought an oblation for the LORD, what every man hath gotten, of jewels of gold, chains, and bracelets, rings, earrings, and tablets, to make an atonement for our souls before the LORD.(KJV-1611) Num 31:50 Se poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: braslè, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Seyè a pou li ka fè nou gras.(Creole-HT) ======= Numbers 31:51 ============ Num 31:51 And Moses and Eleazar the priest took the gold of them, even all wrought jewels.(KJV-1611) Num 31:51 Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:52 ============ Num 31:52 And all the gold of the offering that they offered up to the LORD, of the captains of thousands, and of the captains of hundreds, was sixteen thousand seven hundred and fifty shekels.(KJV-1611) Num 31:52 Sa te fè katsan liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpayi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 31:53 ============ Num 31:53 (For the men of war had taken spoil, every man for himself.)(KJV-1611) Num 31:53 Men, sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 31:54 ============ Num 31:54 And Moses and Eleazar the priest took the gold of the captains of thousands and of hundreds, and brought it into the tabernacle of the congregation, for a memorial for the children of Israel before the LORD.(KJV-1611) Num 31:54 Se konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpayi san yo te pote ba yo a, yo pote l' nan Tant Randevou a, pou Seyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 32:1 ============ Num 32:1 Now the children of Reuben and the children of Gad had a very great multitude of cattle: and when they saw the land of Jazer, and the land of Gilead, that, behold, the place was a place for cattle;(KJV-1611) Num 32:1 Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,(Creole-HT) ======= Numbers 32:2 ============ Num 32:2 The children of Gad and the children of Reuben came and spake unto Moses, and to Eleazar the priest, and unto the princes of the congregation, saying,(KJV-1611) Num 32:2 yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 32:3 ============ Num 32:3 Ataroth, and Dibon, and Jazer, and Nimrah, and Heshbon, and Elealeh, and Shebam, and Nebo, and Beon,(KJV-1611) Num 32:3 -Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon,(Creole-HT) ======= Numbers 32:4 ============ Num 32:4 Even the country which the LORD smote before the congregation of Israel, is a land for cattle, and thy servants have cattle:(KJV-1611) Num 32:4 tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt.(Creole-HT) ======= Numbers 32:5 ============ Num 32:5 Wherefore, said they, if we have found grace in thy sight, let this land be given unto thy servants for a possession, and bring us not over Jordan.(KJV-1611) Num 32:5 Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Numbers 32:6 ============ Num 32:6 And Moses said unto the children of Gad and to the children of Reuben, Shall your brethren go to war, and shall ye sit here?(KJV-1611) Num 32:6 Moyiz reponn yo: -Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen?(Creole-HT) ======= Numbers 32:7 ============ Num 32:7 And wherefore discourage ye the heart of the children of Israel from going over into the land which the LORD hath given them?(KJV-1611) Num 32:7 Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Seyè a ba yo a?(Creole-HT) ======= Numbers 32:8 ============ Num 32:8 Thus did your fathers, when I sent them from Kadeshbarnea to see the land.(KJV-1611) Num 32:8 Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea.(Creole-HT) ======= Numbers 32:9 ============ Num 32:9 For when they went up unto the valley of Eshcol, and saw the land, they discouraged the heart of the children of Israel, that they should not go into the land which the LORD had given them.(KJV-1611) Num 32:9 Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 32:10 ============ Num 32:10 And the LORD's anger was kindled the same time, and he sware, saying,(KJV-1611) Num 32:10 Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 32:11 ============ Num 32:11 Surely none of the men that came up out of Egypt, from twenty years old and upward, shall see the land which I sware unto Abraham, unto Isaac, and unto Jacob; because they have not wholly followed me:(KJV-1611) Num 32:11 Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,(Creole-HT) ======= Numbers 32:12 ============ Num 32:12 Save Caleb the son of Jephunneh the Kenezite, and Joshua the son of Nun: for they have wholly followed the LORD.(KJV-1611) Num 32:12 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank.(Creole-HT) ======= Numbers 32:13 ============ Num 32:13 And the LORD's anger was kindled against Israel, and he made them wander in the wilderness forty years, until all the generation, that had done evil in the sight of the LORD, was consumed.(KJV-1611) Num 32:13 Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 32:14 ============ Num 32:14 And, behold, ye are risen up in your fathers' stead, an increase of sinful men, to augment yet the fierce anger of the LORD toward Israel.(KJV-1611) Num 32:14 Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 32:15 ============ Num 32:15 For if ye turn away from after him, he will yet again leave them in the wilderness; and ye shall destroy all this people.(KJV-1611) Num 32:15 Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.(Creole-HT) ======= Numbers 32:16 ============ Num 32:16 And they came near unto him, and said, We will build sheepfolds here for our cattle, and cities for our little ones:(KJV-1611) Num 32:16 Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 32:17 ============ Num 32:17 But we ourselves will go ready armed before the children of Israel, until we have brought them unto their place: and our little ones shall dwell in the fenced cities because of the inhabitants of the land.(KJV-1611) Num 32:17 Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 32:18 ============ Num 32:18 We will not return unto our houses, until the children of Israel have inherited every man his inheritance.(KJV-1611) Num 32:18 Nou p'ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a.(Creole-HT) ======= Numbers 32:19 ============ Num 32:19 For we will not inherit with them on yonder side Jordan, or forward; because our inheritance is fallen to us on this side Jordan eastward.(KJV-1611) Num 32:19 Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.(Creole-HT) ======= Numbers 32:20 ============ Num 32:20 And Moses said unto them, If ye will do this thing, if ye will go armed before the LORD to war,(KJV-1611) Num 32:20 Moyiz di yo konsa: -Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n' al goumen devan Seyè a,(Creole-HT) ======= Numbers 32:21 ============ Num 32:21 And will go all of you armed over Jordan before the LORD, until he hath driven out his enemies from before him,(KJV-1611) Num 32:21 si tout gason ki ka goumen pami nou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an devan Seyè a, jouk Seyè a va fin kraze tout lènmi l' yo devan li,(Creole-HT) ======= Numbers 32:22 ============ Num 32:22 And the land be subdued before the LORD: then afterward ye shall return, and be guiltless before the LORD, and before Israel; and this land shall be your possession before the LORD.(KJV-1611) Num 32:22 enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Numbers 32:23 ============ Num 32:23 But if ye will not do so, behold, ye have sinned against the LORD: and be sure your sin will find you out.(KJV-1611) Num 32:23 Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.(Creole-HT) ======= Numbers 32:24 ============ Num 32:24 Build you cities for your little ones, and folds for your sheep; and do that which hath proceeded out of your mouth.(KJV-1611) Num 32:24 Nou mèt bati lavil ak ranpa pou moun pa nou yo. Nou mèt moute lantouraj pou mete bèt nou yo nan pak. Men, se pou nou fè sa nou pwomèt n'ap fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 32:25 ============ Num 32:25 And the children of Gad and the children of Reuben spake unto Moses, saying, Thy servants will do as my lord commandeth.(KJV-1611) Num 32:25 Moun fanmi Woubenn yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: -Mèt, n'ap fè tou sa ou mande nou fè.(Creole-HT) ======= Numbers 32:26 ============ Num 32:26 Our little ones, our wives, our flocks, and all our cattle, shall be there in the cities of Gilead:(KJV-1611) Num 32:26 Pitit nou yo va rete nan lavil ki nan peyi Galarad yo ansanm ak madanm nou yo ak tout bèf, tout mouton ak tout kabrit nou yo,(Creole-HT) ======= Numbers 32:27 ============ Num 32:27 But thy servants will pass over, every man armed for war, before the LORD to battle, as my lord saith.(KJV-1611) Num 32:27 Men, nou menm gason ki pare pou n' al goumen yo, n'ap pase devan Seyè a pou n' al fè lagè jan ou di l' la.(Creole-HT) ======= Numbers 32:28 ============ Num 32:28 So concerning them Moses commanded Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun, and the chief fathers of the tribes of the children of Israel:(KJV-1611) Num 32:28 Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 32:29 ============ Num 32:29 And Moses said unto them, If the children of Gad and the children of Reuben will pass with you over Jordan, every man armed to battle, before the LORD, and the land shall be subdued before you; then ye shall give them the land of Gilead for a possession:(KJV-1611) Num 32:29 Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.(Creole-HT) ======= Numbers 32:30 ============ Num 32:30 But if they will not pass over with you armed, they shall have possessions among you in the land of Canaan.(KJV-1611) Num 32:30 Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen avèk nou, y'a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou.(Creole-HT) ======= Numbers 32:31 ============ Num 32:31 And the children of Gad and the children of Reuben answered, saying, As the LORD hath said unto thy servants, so will we do.(KJV-1611) Num 32:31 Mesye branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l' konsa: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye.(Creole-HT) ======= Numbers 32:32 ============ Num 32:32 We will pass over armed before the LORD into the land of Canaan, that the possession of our inheritance on this side Jordan may be ours.(KJV-1611) Num 32:32 N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n' al goumen devan Seyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.(Creole-HT) ======= Numbers 32:33 ============ Num 32:33 And Moses gave unto them, even to the children of Gad, and to the children of Reuben, and unto half the tribe of Manasseh the son of Joseph, the kingdom of Sihon king of the Amorites, and the kingdom of Og king of Bashan, the land, with the cities thereof in the coasts, even the cities of the country round about.(KJV-1611) Num 32:33 Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.(Creole-HT) ======= Numbers 32:34 ============ Num 32:34 And the children of Gad built Dibon, and Ataroth, and Aroer,(KJV-1611) Num 32:34 Moun fanmi Gad yo rebati tout lavil sa yo: Dibon, Atawòt, Awoyè,(Creole-HT) ======= Numbers 32:35 ============ Num 32:35 And Atroth, Shophan, and Jaazer, and Jogbehah,(KJV-1611) Num 32:35 Atawo, Sofam, Jaze ak Jobeya,(Creole-HT) ======= Numbers 32:36 ============ Num 32:36 And Bethnimrah, and Bethharan, fenced cities: and folds for sheep.(KJV-1611) Num 32:36 Bèt-Nimra, Bèt aran. Yo rebati yo avèk ranpa pou pwoteje yo, yo fè pak tou pou mouton ak kabrit.(Creole-HT) ======= Numbers 32:37 ============ Num 32:37 And the children of Reuben built Heshbon, and Elealeh, and Kirjathaim,(KJV-1611) Num 32:37 Moun fanmi Woubenn yo menm rebati lavil sa yo: Esbon, Elealè, Kiryatayim,(Creole-HT) ======= Numbers 32:38 ============ Num 32:38 And Nebo, and Baalmeon, (their names being changed,) and Shibmah: and gave other names unto the cities which they builded.(KJV-1611) Num 32:38 Nebo, Baal Meyon ak Sibma. Yo te chanje non lavil Nebo ak Baal Meyon. Yo bay tout lavil yo rebati yo lòt non.(Creole-HT) ======= Numbers 32:39 ============ Num 32:39 And the children of Machir the son of Manasseh went to Gilead, and took it, and dispossessed the Amorite which was in it.(KJV-1611) Num 32:39 Moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, pati pou peyi Galarad kote moun Amori yo te rete a. Yo anvayi tout peyi a, yo mete moun Amori yo deyò.(Creole-HT) ======= Numbers 32:40 ============ Num 32:40 And Moses gave Gilead unto Machir the son of Manasseh; and he dwelt therein.(KJV-1611) Num 32:40 Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete.(Creole-HT) ======= Numbers 32:41 ============ Num 32:41 And Jair the son of Manasseh went and took the small towns thereof, and called them Havothjair.(KJV-1611) Num 32:41 Moun fanmi Jayi, pitit gason Manase a, al atake yon seri ti bouk. Yo anvayi yo epi yo rele yo Bouk Jayi.(Creole-HT) ======= Numbers 32:42 ============ Num 32:42 And Nobah went and took Kenath, and the villages thereof, and called it Nobah, after his own name.(KJV-1611) Num 32:42 Noba menm al atake lavil Kenat ak lòt ti bouk ki sou lòd li yo. l' anvayi l', epi li ba li non l'. Li rele l' Noba.(Creole-HT) ======= Numbers 33:1 ============ Num 33:1 These are the journeys of the children of Israel, which went forth out of the land of Egypt with their armies under the hand of Moses and Aaron.(KJV-1611) Num 33:1 Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:2 ============ Num 33:2 And Moses wrote their goings out according to their journeys by the commandment of the LORD: and these are their journeys according to their goings out.(KJV-1611) Num 33:2 Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:3 ============ Num 33:3 And they departed from Rameses in the first month, on the fifteenth day of the first month; on the morrow after the passover the children of Israel went out with an high hand in the sight of all the Egyptians.(KJV-1611) Num 33:3 Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.(Creole-HT) ======= Numbers 33:4 ============ Num 33:4 For the Egyptians buried all their firstborn, which the LORD had smitten among them: upon their gods also the LORD executed judgments.(KJV-1611) Num 33:4 Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo(Creole-HT) ======= Numbers 33:5 ============ Num 33:5 And the children of Israel removed from Rameses, and pitched in Succoth.(KJV-1611) Num 33:5 Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:6 ============ Num 33:6 And they departed from Succoth, and pitched in Etham, which is in the edge of the wilderness.(KJV-1611) Num 33:6 Apre sa, yo kite Soukòt, y' al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.(Creole-HT) ======= Numbers 33:7 ============ Num 33:7 And they removed from Etham, and turned again unto Pihahiroth, which is before Baalzephon: and they pitched before Migdol.(KJV-1611) Num 33:7 Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.(Creole-HT) ======= Numbers 33:8 ============ Num 33:8 And they departed from before Pihahiroth, and passed through the midst of the sea into the wilderness, and went three days' journey in the wilderness of Etham, and pitched in Marah.(KJV-1611) Num 33:8 Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:9 ============ Num 33:9 And they removed from Marah, and came unto Elim: and in Elim were twelve fountains of water, and threescore and ten palm trees; and they pitched there.(KJV-1611) Num 33:9 Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.(Creole-HT) ======= Numbers 33:10 ============ Num 33:10 And they removed from Elim, and encamped by the Red sea.(KJV-1611) Num 33:10 Yo kite Elim, y' al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Numbers 33:11 ============ Num 33:11 And they removed from the Red sea, and encamped in the wilderness of Sin.(KJV-1611) Num 33:11 Yo kite Lanmè Wouj, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan.(Creole-HT) ======= Numbers 33:12 ============ Num 33:12 And they took their journey out of the wilderness of Sin, and encamped in Dophkah.(KJV-1611) Num 33:12 Yo kite dezè Zin lan, y' al moute kan yo Dofka.(Creole-HT) ======= Numbers 33:13 ============ Num 33:13 And they departed from Dophkah, and encamped in Alush.(KJV-1611) Num 33:13 Yo kite Dofka, y' al moute kan yo Alouch.(Creole-HT) ======= Numbers 33:14 ============ Num 33:14 And they removed from Alush, and encamped at Rephidim, where was no water for the people to drink.(KJV-1611) Num 33:14 Yo kite Alouch, y' al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t' jwenn dlo pou yo bwè a.(Creole-HT) ======= Numbers 33:15 ============ Num 33:15 And they departed from Rephidim, and pitched in the wilderness of Sinai.(KJV-1611) Num 33:15 Yo kite Refidim, y' al moute kan yo nan dezè Sinayi a.(Creole-HT) ======= Numbers 33:16 ============ Num 33:16 And they removed from the desert of Sinai, and pitched at Kibrothhattaavah.(KJV-1611) Num 33:16 Yo kite dezè Sinayi a, y' al moute kan yo Simityè Grangou.(Creole-HT) ======= Numbers 33:17 ============ Num 33:17 And they departed from Kibrothhattaavah, and encamped at Hazeroth.(KJV-1611) Num 33:17 Yo kite Simityè Grangou, y' al moute kan yo Azewòt.(Creole-HT) ======= Numbers 33:18 ============ Num 33:18 And they departed from Hazeroth, and pitched in Rithmah.(KJV-1611) Num 33:18 Yo kite Azewòt, y' al moute kan yo Ritma.(Creole-HT) ======= Numbers 33:19 ============ Num 33:19 And they departed from Rithmah, and pitched at Rimmonparez.(KJV-1611) Num 33:19 Yo kite Ritma, y' al moute kan yo Rimonn Perèz.(Creole-HT) ======= Numbers 33:20 ============ Num 33:20 And they departed from Rimmonparez, and pitched in Libnah.(KJV-1611) Num 33:20 Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.(Creole-HT) ======= Numbers 33:21 ============ Num 33:21 And they removed from Libnah, and pitched at Rissah.(KJV-1611) Num 33:21 Yo kite Libna, y' al moute kan yo Risa.(Creole-HT) ======= Numbers 33:22 ============ Num 33:22 And they journeyed from Rissah, and pitched in Kehelathah.(KJV-1611) Num 33:22 Yo kite Risa, y' al moute kan yo Keyelata.(Creole-HT) ======= Numbers 33:23 ============ Num 33:23 And they went from Kehelathah, and pitched in mount Shapher.(KJV-1611) Num 33:23 Yo kite Keyelata, y' al moute kan yo sou mòn Chefè a.(Creole-HT) ======= Numbers 33:24 ============ Num 33:24 And they removed from mount Shapher, and encamped in Haradah.(KJV-1611) Num 33:24 Yo kite mòn Chefè a, y' al moute kan yo Arada.(Creole-HT) ======= Numbers 33:25 ============ Num 33:25 And they removed from Haradah, and pitched in Makheloth.(KJV-1611) Num 33:25 Yo kite Arada, y' al moute kan yo Makelòt.(Creole-HT) ======= Numbers 33:26 ============ Num 33:26 And they removed from Makheloth, and encamped at Tahath.(KJV-1611) Num 33:26 Yo kite Makelòt, y' al moute kan yo Tayat.(Creole-HT) ======= Numbers 33:27 ============ Num 33:27 And they departed from Tahath, and pitched at Tarah.(KJV-1611) Num 33:27 Yo kite Tayat, y' al moute kan yo Tara.(Creole-HT) ======= Numbers 33:28 ============ Num 33:28 And they removed from Tarah, and pitched in Mithcah.(KJV-1611) Num 33:28 Yo kite Tara, y' al moute kan yo Mitka.(Creole-HT) ======= Numbers 33:29 ============ Num 33:29 And they went from Mithcah, and pitched in Hashmonah.(KJV-1611) Num 33:29 Yo kite Mitka, y' al moute kan yo Asmona.(Creole-HT) ======= Numbers 33:30 ============ Num 33:30 And they departed from Hashmonah, and encamped at Moseroth.(KJV-1611) Num 33:30 Yo kite Asmona, y' al moute kan yo Mosewòt.(Creole-HT) ======= Numbers 33:31 ============ Num 33:31 And they departed from Moseroth, and pitched in Benejaakan.(KJV-1611) Num 33:31 Yo kite Mosewòt, y' al moute kan yo Benè-Jakan.(Creole-HT) ======= Numbers 33:32 ============ Num 33:32 And they removed from Benejaakan, and encamped at Horhagidgad.(KJV-1611) Num 33:32 Yo kite Benè-Jakan, y' al moute kan yo Ogidgad.(Creole-HT) ======= Numbers 33:33 ============ Num 33:33 And they went from Horhagidgad, and pitched in Jotbathah.(KJV-1611) Num 33:33 Yo kite Ogidgad, y' al moute kan yo Jotbata.(Creole-HT) ======= Numbers 33:34 ============ Num 33:34 And they removed from Jotbathah, and encamped at Ebronah.(KJV-1611) Num 33:34 Yo kite Jotbata, y' al moute kan yo Abwona.(Creole-HT) ======= Numbers 33:35 ============ Num 33:35 And they departed from Ebronah, and encamped at Eziongaber.(KJV-1611) Num 33:35 Yo kite Abwona, y' al moute kan yo Ezyongebè.(Creole-HT) ======= Numbers 33:36 ============ Num 33:36 And they removed from Eziongaber, and pitched in the wilderness of Zin, which is Kadesh.(KJV-1611) Num 33:36 Yo kite Ezyongebè, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.(Creole-HT) ======= Numbers 33:37 ============ Num 33:37 And they removed from Kadesh, and pitched in mount Hor, in the edge of the land of Edom.(KJV-1611) Num 33:37 Yo kite Kadès, y' al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an.(Creole-HT) ======= Numbers 33:38 ============ Num 33:38 And Aaron the priest went up into mount Hor at the commandment of the LORD, and died there, in the fortieth year after the children of Israel were come out of the land of Egypt, in the first day of the fifth month.(KJV-1611) Num 33:38 Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Numbers 33:39 ============ Num 33:39 And Aaron was an hundred and twenty and three years old when he died in mount Hor.(KJV-1611) Num 33:39 Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.(Creole-HT) ======= Numbers 33:40 ============ Num 33:40 And king Arad the Canaanite, which dwelt in the south in the land of Canaan, heard of the coming of the children of Israel.(KJV-1611) Num 33:40 Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.(Creole-HT) ======= Numbers 33:41 ============ Num 33:41 And they departed from mount Hor, and pitched in Zalmonah.(KJV-1611) Num 33:41 Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y' al moute kan yo Zalmona.(Creole-HT) ======= Numbers 33:42 ============ Num 33:42 And they departed from Zalmonah, and pitched in Punon.(KJV-1611) Num 33:42 Yo kite Zalmona, y' al moute kan yo Pounon.(Creole-HT) ======= Numbers 33:43 ============ Num 33:43 And they departed from Punon, and pitched in Oboth.(KJV-1611) Num 33:43 Yo kite Pounon, y' al moute kan yo Obòt.(Creole-HT) ======= Numbers 33:44 ============ Num 33:44 And they departed from Oboth, and pitched in Ijeabarim, in the border of Moab.(KJV-1611) Num 33:44 Yo kite Obòt, y' al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Numbers 33:45 ============ Num 33:45 And they departed from Iim, and pitched in Dibongad.(KJV-1611) Num 33:45 Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y' al moute kan yo Dibon Gad.(Creole-HT) ======= Numbers 33:46 ============ Num 33:46 And they removed from Dibongad, and encamped in Almondiblathaim.(KJV-1611) Num 33:46 Yo kite Dibon Gad, y' al moute kan yo Almon-Diblatayim.(Creole-HT) ======= Numbers 33:47 ============ Num 33:47 And they removed from Almondiblathaim, and pitched in the mountains of Abarim, before Nebo.(KJV-1611) Num 33:47 Yo kite Almon-Diblatayim, y' al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Numbers 33:48 ============ Num 33:48 And they departed from the mountains of Abarim, and pitched in the plains of Moab by Jordan near Jericho.(KJV-1611) Num 33:48 Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Numbers 33:49 ============ Num 33:49 And they pitched by Jordan, from Bethjesimoth even unto Abelshittim in the plains of Moab.(KJV-1611) Num 33:49 Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim.(Creole-HT) ======= Numbers 33:50 ============ Num 33:50 And the LORD spake unto Moses in the plains of Moab by Jordan near Jericho, saying,(KJV-1611) Num 33:50 Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 33:51 ============ Num 33:51 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye are passed over Jordan into the land of Canaan;(KJV-1611) Num 33:51 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,(Creole-HT) ======= Numbers 33:52 ============ Num 33:52 Then ye shall drive out all the inhabitants of the land from before you, and destroy all their pictures, and destroy all their molten images, and quite pluck down all their high places:(KJV-1611) Num 33:52 se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:53 ============ Num 33:53 And ye shall dispossess the inhabitants of the land, and dwell therein: for I have given you the land to possess it.(KJV-1611) Num 33:53 N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.(Creole-HT) ======= Numbers 33:54 ============ Num 33:54 And ye shall divide the land by lot for an inheritance among your families: and to the more ye shall give the more inheritance, and to the fewer ye shall give the less inheritance: every man's inheritance shall be in the place where his lot falleth; according to the tribes of your fathers ye shall inherit.(KJV-1611) Num 33:54 N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.(Creole-HT) ======= Numbers 33:55 ============ Num 33:55 But if ye will not drive out the inhabitants of the land from before you; then it shall come to pass, that those which ye let remain of them shall be pricks in your eyes, and thorns in your sides, and shall vex you in the land wherein ye dwell.(KJV-1611) Num 33:55 Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 33:56 ============ Num 33:56 Moreover it shall come to pass, that I shall do unto you, as I thought to do unto them.(KJV-1611) Num 33:56 Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 34:1 ============ Num 34:1 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 34:1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 34:2 ============ Num 34:2 Command the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land of Canaan; (this is the land that shall fall unto you for an inheritance, even the land of Canaan with the coasts thereof:)(KJV-1611) Num 34:2 -Men lòd w'a bay moun Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a antre nan peyi Kanaran mwen pral ban nou an, men fwontyè ki pral limite peyi a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:3 ============ Num 34:3 Then your south quarter shall be from the wilderness of Zin along by the coast of Edom, and your south border shall be the outmost coast of the salt sea eastward:(KJV-1611) Num 34:3 Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:4 ============ Num 34:4 And your border shall turn from the south to the ascent of Akrabbim, and pass on to Zin: and the going forth thereof shall be from the south to Kadeshbarnea, and shall go on to Hazaraddar, and pass on to Azmon:(KJV-1611) Num 34:4 L'a chankre desann nan direksyon sid bò pas Eskòpyon yo, l'a travèse dezè Zin lan, jouk li rive anba nèt bò Kadès-Banea. L'a pran direksyon nò, l'a moute bò Aza ada, l'a rive Achmon,(Creole-HT) ======= Numbers 34:5 ============ Num 34:5 And the border shall fetch a compass from Azmon unto the river of Egypt, and the goings out of it shall be at the sea.(KJV-1611) Num 34:5 l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.(Creole-HT) ======= Numbers 34:6 ============ Num 34:6 And as for the western border, ye shall even have the great sea for a border: this shall be your west border.(KJV-1611) Num 34:6 Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.(Creole-HT) ======= Numbers 34:7 ============ Num 34:7 And this shall be your north border: from the great sea ye shall point out for you mount Hor:(KJV-1611) Num 34:7 Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.(Creole-HT) ======= Numbers 34:8 ============ Num 34:8 From mount Hor ye shall point out your border unto the entrance of Hamath; and the goings forth of the border shall be to Zedad:(KJV-1611) Num 34:8 Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.(Creole-HT) ======= Numbers 34:9 ============ Num 34:9 And the border shall go on to Ziphron, and the goings out of it shall be at Hazarenan: this shall be your north border.(KJV-1611) Num 34:9 N'a pouse pi lwen toujou nan direksyon Zifwon jouk nou rive Aza-Enan. Men fwontyè nou sou bò nò a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:10 ============ Num 34:10 And ye shall point out your east border from Hazarenan to Shepham:(KJV-1611) Num 34:10 Fwontyè sou bò solèy leve a va soti Aza-Enan pou rive Chefam.(Creole-HT) ======= Numbers 34:11 ============ Num 34:11 And the coast shall go down from Shepham to Riblah, on the east side of Ain; and the border shall descend, and shall reach unto the side of the sea of Chinnereth eastward:(KJV-1611) Num 34:11 L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Numbers 34:12 ============ Num 34:12 And the border shall go down to Jordan, and the goings out of it shall be at the salt sea: this shall be your land with the coasts thereof round about.(KJV-1611) Num 34:12 Fwontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l' al bout sou lanmè Sale a. Men fwontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò.(Creole-HT) ======= Numbers 34:13 ============ Num 34:13 And Moses commanded the children of Israel, saying, This is the land which ye shall inherit by lot, which the LORD commanded to give unto the nine tribes, and to the half tribe:(KJV-1611) Num 34:13 Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Numbers 34:14 ============ Num 34:14 For the tribe of the children of Reuben according to the house of their fathers, and the tribe of the children of Gad according to the house of their fathers, have received their inheritance; and half the tribe of Manasseh have received their inheritance:(KJV-1611) Num 34:14 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a deja resevwa tè pa yo, chak fanmi apa.(Creole-HT) ======= Numbers 34:15 ============ Num 34:15 The two tribes and the half tribe have received their inheritance on this side Jordan near Jericho eastward, toward the sunrising.(KJV-1611) Num 34:15 Yo resevwa pòsyon tè pa yo ki anfas lavil Jeriko, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Numbers 34:16 ============ Num 34:16 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 34:16 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 34:17 ============ Num 34:17 These are the names of the men which shall divide the land unto you: Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun.(KJV-1611) Num 34:17 -Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,(Creole-HT) ======= Numbers 34:18 ============ Num 34:18 And ye shall take one prince of every tribe, to divide the land by inheritance.(KJV-1611) Num 34:18 avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.(Creole-HT) ======= Numbers 34:19 ============ Num 34:19 And the names of the men are these: Of the tribe of Judah, Caleb the son of Jephunneh.(KJV-1611) Num 34:19 Men non chèf yo. Pou branch fanmi Jida a, se va Kalèb, pitit gason Jefoune a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:20 ============ Num 34:20 And of the tribe of the children of Simeon, Shemuel the son of Ammihud.(KJV-1611) Num 34:20 Pou branch fanmi Simeyon an, se va Chemwèl, pitit gason Amiyoud la.(Creole-HT) ======= Numbers 34:21 ============ Num 34:21 Of the tribe of Benjamin, Elidad the son of Chislon.(KJV-1611) Num 34:21 Pou branch fanmi Benjamen an, se va Elidad, pitit gason Kislòn lan.(Creole-HT) ======= Numbers 34:22 ============ Num 34:22 And the prince of the tribe of the children of Dan, Bukki the son of Jogli.(KJV-1611) Num 34:22 Pou branch fanmi Dann lan, se va chèf Bouki, pitit gason Jogli a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:23 ============ Num 34:23 The prince of the children of Joseph, for the tribe of the children of Manasseh, Hanniel the son of Ephod.(KJV-1611) Num 34:23 Pou branch fanmi Jozèf la, va gen chèf Aniyèl, pitit gason Efòd la, pou fanmi Manase a,(Creole-HT) ======= Numbers 34:24 ============ Num 34:24 And the prince of the tribe of the children of Ephraim, Kemuel the son of Shiphtan.(KJV-1611) Num 34:24 ak chèf Kemwèl, pitit gason Chiftan an, pou fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Numbers 34:25 ============ Num 34:25 And the prince of the tribe of the children of Zebulun, Elizaphan the son of Parnach.(KJV-1611) Num 34:25 Pou branch fanmi Zabilon an, se va chèf Elichafan, pitit gason Panak la.(Creole-HT) ======= Numbers 34:26 ============ Num 34:26 And the prince of the tribe of the children of Issachar, Paltiel the son of Azzan.(KJV-1611) Num 34:26 Pou branch fanmi Isaka a, se va chèf Paltiyèl, pitit gason Azan an.(Creole-HT) ======= Numbers 34:27 ============ Num 34:27 And the prince of the tribe of the children of Asher, Ahihud the son of Shelomi.(KJV-1611) Num 34:27 Pou branch fanmi Asè a, se va chèf Akiyoul, pitit gason Chelomi a.(Creole-HT) ======= Numbers 34:28 ============ Num 34:28 And the prince of the tribe of the children of Naphtali, Pedahel the son of Ammihud.(KJV-1611) Num 34:28 Pou branch fanmi Neftali a, se va chèf Pedayèl, pitit gason Amiyoud la.(Creole-HT) ======= Numbers 34:29 ============ Num 34:29 These are they whom the LORD commanded to divide the inheritance unto the children of Israel in the land of Canaan.(KJV-1611) Num 34:29 Men moun Seyè a te mete reskonsab pou fè pataj tè a pou bay chak moun nan pèp Izrayèl la pòsyon pa yo nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Numbers 35:1 ============ Num 35:1 And the LORD spake unto Moses in the plains of Moab by Jordan near Jericho, saying,(KJV-1611) Num 35:1 Antan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 35:2 ============ Num 35:2 Command the children of Israel, that they give unto the Levites of the inheritance of their possession cities to dwell in; and ye shall give also unto the Levites suburbs for the cities round about them.(KJV-1611) Num 35:2 -W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.(Creole-HT) ======= Numbers 35:3 ============ Num 35:3 And the cities shall they have to dwell in; and the suburbs of them shall be for their cattle, and for their goods, and for all their beasts.(KJV-1611) Num 35:3 Se nan lavil sa yo moun Levi yo va rete. Savann sa yo va rete pou yo, y'a sèvi pou zannimo yo ak pou tout lòt bèt y'a genyen.(Creole-HT) ======= Numbers 35:4 ============ Num 35:4 And the suburbs of the cities, which ye shall give unto the Levites, shall reach from the wall of the city and outward a thousand cubits round about.(KJV-1611) Num 35:4 Savann yo va toutotou lavil yo. Y'a mezire mil senksan pye depi ranpa lavil la nan chak direksyon.(Creole-HT) ======= Numbers 35:5 ============ Num 35:5 And ye shall measure from without the city on the east side two thousand cubits, and on the south side two thousand cubits, and on the west side two thousand cubits, and on the north side two thousand cubits; and the city shall be in the midst: this shall be to them the suburbs of the cities.(KJV-1611) Num 35:5 Konsa, savann yo va fè yon gwo teren kare kare ki va mezire twamil pye sou chak bò: twamil pye sou bò lès, twamil pye sou bò lwès, twamil pye sou bò nò, twamil pye sou bò sid ak lavil la nan mitan l'. Y'a sèvi kote pou bèt moun Levi ki rete nan lavil la jwenn manje.(Creole-HT) ======= Numbers 35:6 ============ Num 35:6 And among the cities which ye shall give unto the Levites there shall be six cities for refuge, which ye shall appoint for the manslayer, that he may flee thither: and to them ye shall add forty and two cities.(KJV-1611) Num 35:6 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò.(Creole-HT) ======= Numbers 35:7 ============ Num 35:7 So all the cities which ye shall give to the Levites shall be forty and eight cities: them shall ye give with their suburbs.(KJV-1611) Num 35:7 Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Numbers 35:8 ============ Num 35:8 And the cities which ye shall give shall be of the possession of the children of Israel: from them that have many ye shall give many; but from them that have few ye shall give few: every one shall give of his cities unto the Levites according to his inheritance which he inheriteth.(KJV-1611) Num 35:8 Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens.(Creole-HT) ======= Numbers 35:9 ============ Num 35:9 And the LORD spake unto Moses, saying,(KJV-1611) Num 35:9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Numbers 35:10 ============ Num 35:10 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye be come over Jordan into the land of Canaan;(KJV-1611) Num 35:10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an,(Creole-HT) ======= Numbers 35:11 ============ Num 35:11 Then ye shall appoint you cities to be cities of refuge for you; that the slayer may flee thither, which killeth any person at unawares.(KJV-1611) Num 35:11 se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Numbers 35:12 ============ Num 35:12 And they shall be unto you cities for refuge from the avenger; that the manslayer die not, until he stand before the congregation in judgment.(KJV-1611) Num 35:12 Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun.(Creole-HT) ======= Numbers 35:13 ============ Num 35:13 And of these cities which ye shall give six cities shall ye have for refuge.(KJV-1611) Num 35:13 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon,(Creole-HT) ======= Numbers 35:14 ============ Num 35:14 Ye shall give three cities on this side Jordan, and three cities shall ye give in the land of Canaan, which shall be cities of refuge.(KJV-1611) Num 35:14 twa lòt bò larivyè Jouden an sou bò solèy leve, twa bò isit nan peyi Kanaran an.(Creole-HT) ======= Numbers 35:15 ============ Num 35:15 These six cities shall be a refuge, both for the children of Israel, and for the stranger, and for the sojourner among them: that every one that killeth any person unawares may flee thither.(KJV-1611) Num 35:15 Sis lavil sa yo va sèvi ni pou moun peyi a ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou osinon ki depasaj. Se la tout moun ki touye yon lòt san fè espre va kouri chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Numbers 35:16 ============ Num 35:16 And if he smite him with an instrument of iron, so that he die, he is a murderer: the murderer shall surely be put to death.(KJV-1611) Num 35:16 Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.(Creole-HT) ======= Numbers 35:17 ============ Num 35:17 And if he smite him with throwing a stone, wherewith he may die, and he die, he is a murderer: the murderer shall surely be put to death.(KJV-1611) Num 35:17 Si yon moun bay yon lòt yon kout wòch epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.(Creole-HT) ======= Numbers 35:18 ============ Num 35:18 Or if he smite him with an hand weapon of wood, wherewith he may die, and he die, he is a murderer: the murderer shall surely be put to death.(KJV-1611) Num 35:18 Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.(Creole-HT) ======= Numbers 35:19 ============ Num 35:19 The revenger of blood himself shall slay the murderer: when he meeteth him, he shall slay him.(KJV-1611) Num 35:19 Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 35:20 ============ Num 35:20 But if he thrust him of hatred, or hurl at him by laying of wait, that he die;(KJV-1611) Num 35:20 Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l', osinon si li voye yon bagay dèyè l' pou touye l',(Creole-HT) ======= Numbers 35:21 ============ Num 35:21 Or in enmity smite him with his hand, that he die: he that smote him shall surely be put to death; for he is a murderer: the revenger of blood shall slay the murderer, when he meeteth him.(KJV-1611) Num 35:21 oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'.(Creole-HT) ======= Numbers 35:22 ============ Num 35:22 But if he thrust him suddenly without enmity, or have cast upon him any thing without laying of wait,(KJV-1611) Num 35:22 Men, sipoze yon moun bay yon lòt yon move bourad san li pa fè espre, san li pa rayi l', osinon li voye yon bagay konsa konsa, epi l' al pran yon moun move kote san li pa t'ap voye l' dèyè l',(Creole-HT) ======= Numbers 35:23 ============ Num 35:23 Or with any stone, wherewith a man may die, seeing him not, and cast it upon him, that he die, and was not his enemy, neither sought his harm:(KJV-1611) Num 35:23 oswa ankò, sipoze li voye yon wòch epi li pa wè sa, wòch la al tonbe sou yon moun, li touye l' frèt, san li pa t' rayi moun lan ni li pa t'ap chache fè moun lan mal,(Creole-HT) ======= Numbers 35:24 ============ Num 35:24 Then the congregation shall judge between the slayer and the revenger of blood according to these judgments:(KJV-1611) Num 35:24 nan ka sa yo, men regleman pou moun pèp Izrayèl yo swiv pou yo regle bagay la ant moun ki te touye lòt la ak fanmi pi pre moun mouri a ki reskonsab pou tire revanj la.(Creole-HT) ======= Numbers 35:25 ============ Num 35:25 And the congregation shall deliver the slayer out of the hand of the revenger of blood, and the congregation shall restore him to the city of his refuge, whither he was fled: and he shall abide in it unto the death of the high priest, which was anointed with the holy oil.(KJV-1611) Num 35:25 Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 35:26 ============ Num 35:26 But if the slayer shall at any time come without the border of the city of his refuge, whither he was fled;(KJV-1611) Num 35:26 Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a,(Creole-HT) ======= Numbers 35:27 ============ Num 35:27 And the revenger of blood find him without the borders of the city of his refuge, and the revenger of blood kill the slayer; he shall not be guilty of blood:(KJV-1611) Num 35:27 si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l', epi li touye l', yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Numbers 35:28 ============ Num 35:28 Because he should have remained in the city of his refuge until the death of the high priest: but after the death of the high priest the slayer shall return into the land of his possession.(KJV-1611) Num 35:28 Paske moun ki touye yon lòt san li pa fè espre a fèt pou rete nan lavil kote li te kache a jouk granprèt ki la lè sa a va mouri. Se apre lanmò granprèt la ase l'a ka tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Numbers 35:29 ============ Num 35:29 So these things shall be for a statute of judgment unto you throughout your generations in all your dwellings.(KJV-1611) Num 35:29 Regleman sa yo va sèvi tankou yon lwa pou nou pou tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase.(Creole-HT) ======= Numbers 35:30 ============ Num 35:30 Whoso killeth any person, the murderer shall be put to death by the mouth of witnesses: but one witness shall not testify against any person to cause him to die.(KJV-1611) Num 35:30 Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun.(Creole-HT) ======= Numbers 35:31 ============ Num 35:31 Moreover ye shall take no satisfaction for the life of a murderer, which is guilty of death: but he shall be surely put to death.(KJV-1611) Num 35:31 Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 35:32 ============ Num 35:32 And ye shall take no satisfaction for him that is fled to the city of his refuge, that he should come again to dwell in the land, until the death of the priest.(KJV-1611) Num 35:32 Ni nou pa gen dwa asepte lajan pou penmèt yon moun ki kite lavil kote l' te kache a pou l' al lakay li anvan granprèt ki la lè sa a mouri.(Creole-HT) ======= Numbers 35:33 ============ Num 35:33 So ye shall not pollute the land wherein ye are: for blood it defileth the land: and the land cannot be cleansed of the blood that is shed therein, but by the blood of him that shed it.(KJV-1611) Num 35:33 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.(Creole-HT) ======= Numbers 35:34 ============ Num 35:34 Defile not therefore the land which ye shall inhabit, wherein I dwell: for I the LORD dwell among the children of Israel.(KJV-1611) Num 35:34 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.(Creole-HT) ======= Numbers 36:1 ============ Num 36:1 And the chief fathers of the families of the children of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh, of the families of the sons of Joseph, came near, and spake before Moses, and before the princes, the chief fathers of the children of Israel:(KJV-1611) Num 36:1 Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,(Creole-HT) ======= Numbers 36:2 ============ Num 36:2 And they said, The LORD commanded my lord to give the land for an inheritance by lot to the children of Israel: and my lord was commanded by the LORD to give the inheritance of Zelophehad our brother unto his daughters.(KJV-1611) Num 36:2 yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo.(Creole-HT) ======= Numbers 36:3 ============ Num 36:3 And if they be married to any of the sons of the other tribes of the children of Israel, then shall their inheritance be taken from the inheritance of our fathers, and shall be put to the inheritance of the tribe whereunto they are received: so shall it be taken from the lot of our inheritance.(KJV-1611) Num 36:3 Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fè pati yon lòt branch nan fanmi pèp Izrayèl la, pòsyon ki pou yo a pral soti sou tè zansèt pa nou yo. Konsa, pòsyon tè ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pòsyon tè ki te vin pou nou an lè yo te tire osò a pral vin pi piti.(Creole-HT) ======= Numbers 36:4 ============ Num 36:4 And when the jubile of the children of Israel shall be, then shall their inheritance be put unto the inheritance of the tribe whereunto they are received: so shall their inheritance be taken away from the inheritance of the tribe of our fathers.(KJV-1611) Num 36:4 Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo.(Creole-HT) ======= Numbers 36:5 ============ Num 36:5 And Moses commanded the children of Israel according to the word of the LORD, saying, The tribe of the sons of Joseph hath said well.(KJV-1611) Num 36:5 Se konsa, dapre lòd Seyè a te ba li, Moyiz bay moun pèp Izrayèl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozèf yo gen rezon.(Creole-HT) ======= Numbers 36:6 ============ Num 36:6 This is the thing which the LORD doth command concerning the daughters of Zelophehad, saying, Let them marry to whom they think best; only to the family of the tribe of their father shall they marry.(KJV-1611) Num 36:6 Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo.(Creole-HT) ======= Numbers 36:7 ============ Num 36:7 So shall not the inheritance of the children of Israel remove from tribe to tribe: for every one of the children of Israel shall keep himself to the inheritance of the tribe of his fathers.(KJV-1611) Num 36:7 Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.(Creole-HT) ======= Numbers 36:8 ============ Num 36:8 And every daughter, that possesseth an inheritance in any tribe of the children of Israel, shall be wife unto one of the family of the tribe of her father, that the children of Israel may enjoy every man the inheritance of his fathers.(KJV-1611) Num 36:8 Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an.(Creole-HT) ======= Numbers 36:9 ============ Num 36:9 Neither shall the inheritance remove from one tribe to another tribe; but every one of the tribes of the children of Israel shall keep himself to his own inheritance.(KJV-1611) Num 36:9 Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an.(Creole-HT) ======= Numbers 36:10 ============ Num 36:10 Even as the LORD commanded Moses, so did the daughters of Zelophehad:(KJV-1611) Num 36:10 Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Numbers 36:11 ============ Num 36:11 For Mahlah, Tirzah, and Hoglah, and Milcah, and Noah, the daughters of Zelophehad, were married unto their father's brothers' sons:(KJV-1611) Num 36:11 Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bò papa.(Creole-HT) ======= Numbers 36:12 ============ Num 36:12 And they were married into the families of the sons of Manasseh the son of Joseph, and their inheritance remained in the tribe of the family of their father.(KJV-1611) Num 36:12 Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an.(Creole-HT) ======= Numbers 36:13 ============ Num 36:13 These are the commandments and the judgments, which the LORD commanded by the hand of Moses unto the children of Israel in the plains of Moab by Jordan near Jericho.(KJV-1611) Num 36:13 Men tout lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:1 ============ Deu 1:1 These be the words which Moses spake unto all Israel on this side Jordan in the wilderness, in the plain over against the Red sea, between Paran, and Tophel, and Laban, and Hazeroth, and Dizahab.(KJV-1611) Deu 1:1 Men pawòl Moyiz te di tout pèp Izrayèl la lè yo te lòt bò larivyè Jouden an, nan dezè a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezè Paran an sou yon bò ak lavil Tofèl, Liban, Azewòt ak Dizaab sou lòt bò a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:2 ============ Deu 1:2 (There are eleven days' journey from Horeb by the way of mount Seir unto Kadeshbarnea.)(KJV-1611) Deu 1:2 Pou mache soti mòn Sinayi rive Kadès-Banea, lè ou swiv wout ki pase nan mòn Seyi a, sa pran onz jou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:3 ============ Deu 1:3 And it came to pass in the fortieth year, in the eleventh month, on the first day of the month, that Moses spake unto the children of Israel, according unto all that the LORD had given him in commandment unto them;(KJV-1611) Deu 1:3 Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:4 ============ Deu 1:4 After he had slain Sihon the king of the Amorites, which dwelt in Heshbon, and Og the king of Bashan, which dwelt at Astaroth in Edrei:(KJV-1611) Deu 1:4 Lè sa a, Seyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:5 ============ Deu 1:5 On this side Jordan, in the land of Moab, began Moses to declare this law, saying,(KJV-1611) Deu 1:5 Se antan pèp la te lòt bò larivyè Jouden, nan peyi Moab la, Moyiz tanmen esplike yo tou sa Seyè a te di. Li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:6 ============ Deu 1:6 The LORD our God spake unto us in Horeb, saying, Ye have dwelt long enough in this mount:(KJV-1611) Deu 1:6 -Lè nou te sou mòn Orèb la, nou chonje Seyè a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Koulye a, nou rete kont nou sou mòn sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:7 ============ Deu 1:7 Turn you, and take your journey, and go to the mount of the Amorites, and unto all the places nigh thereunto, in the plain, in the hills, and in the vale, and in the south, and by the sea side, to the land of the Canaanites, and unto Lebanon, unto the great river, the river Euphrates.(KJV-1611) Deu 1:7 Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:8 ============ Deu 1:8 Behold, I have set the land before you: go in and possess the land which the LORD sware unto your fathers, Abraham, Isaac, and Jacob, to give unto them and to their seed after them.(KJV-1611) Deu 1:8 Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:9 ============ Deu 1:9 And I spake unto you at that time, saying, I am not able to bear you myself alone:(KJV-1611) Deu 1:9 Menm lè sa a, mwen te di nou: Mwen pa kapab reskonsab nou tout pou kont mwen, chay la twòp pou mwen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:10 ============ Deu 1:10 The LORD your God hath multiplied you, and, behold, ye are this day as the stars of heaven for multitude.(KJV-1611) Deu 1:10 Seyè a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifè koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:11 ============ Deu 1:11 (The LORD God of your fathers make you a thousand times so many more as ye are, and bless you, as he hath promised you!)(KJV-1611) Deu 1:11 Se pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomèt nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:12 ============ Deu 1:12 How can I myself alone bear your cumbrance, and your burden, and your strife?(KJV-1611) Deu 1:12 Men, ki jan pou m' fè pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblèm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lòt?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:13 ============ Deu 1:13 Take you wise men, and understanding, and known among your tribes, and I will make them rulers over you.(KJV-1611) Deu 1:13 Se poutèt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kèk nèg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chèf pou dirije nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:14 ============ Deu 1:14 And ye answered me, and said, The thing which thou hast spoken is good for us to do.(KJV-1611) Deu 1:14 Lè sa a, nou te reponn mwen, nou te di m' konsa: Sa ou mande nou fè la a bon wi!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:15 ============ Deu 1:15 So I took the chief of your tribes, wise men, and known, and made them heads over you, captains over thousands, and captains over hundreds, and captains over fifties, and captains over tens, and officers among your tribes.(KJV-1611) Deu 1:15 Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Gen en mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:16 ============ Deu 1:16 And I charged your judges at that time, saying, Hear the causes between your brethren, and judge righteously between every man and his brother, and the stranger that is with him.(KJV-1611) Deu 1:16 Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:17 ============ Deu 1:17 Ye shall not respect persons in judgment; but ye shall hear the small as well as the great; ye shall not be afraid of the face of man; for the judgment is God's: and the cause that is too hard for you, bring it unto me, and I will hear it.(KJV-1611) Deu 1:17 Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:18 ============ Deu 1:18 And I commanded you at that time all the things which ye should do.(KJV-1611) Deu 1:18 Se konsa, menm lè sa a, mwen te ban nou lòd, mwen te di nou sa pou n' fè ak sa pou n' pa fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:19 ============ Deu 1:19 And when we departed from Horeb, we went through all that great and terrible wilderness, which ye saw by the way of the mountain of the Amorites, as the LORD our God commanded us; and we came to Kadeshbarnea.(KJV-1611) Deu 1:19 Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:20 ============ Deu 1:20 And I said unto you, Ye are come unto the mountain of the Amorites, which the LORD our God doth give unto us.(KJV-1611) Deu 1:20 Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:21 ============ Deu 1:21 Behold, the LORD thy God hath set the land before thee: go up and possess it, as the LORD God of thy fathers hath said unto thee; fear not, neither be discouraged.(KJV-1611) Deu 1:21 Gade, men peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pè, kè nou pa pou janm kase.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:22 ============ Deu 1:22 And ye came near unto me every one of you, and said, We will send men before us, and they shall search us out the land, and bring us word again by what way we must go up, and into what cities we shall come.(KJV-1611) Deu 1:22 Lè sa a nou tout, nou vin jwenn mwen, nou di m' konsa: Ann voye kèk nèg pami nou devan pou y' al wè ki jan peyi a ye. Y'a tounen vin esplike nou ki wout pou nou swiv ak nan ki lavil nou ka antre.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:23 ============ Deu 1:23 And the saying pleased me well: and I took twelve men of you, one of a tribe:(KJV-1611) Deu 1:23 Mwen te wè sa nou di m' lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nèg, yonn nan chak branch fanmi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:24 ============ Deu 1:24 And they turned and went up into the mountain, and came unto the valley of Eshcol, and searched it out.(KJV-1611) Deu 1:24 Yo pati, yo pran chemen mòn lan jouk yo rive nan Fon Echkòl: yo vizite tout zòn lan nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:25 ============ Deu 1:25 And they took of the fruit of the land in their hands, and brought it down unto us, and brought us word again, and said, It is a good land which the LORD our God doth give us.(KJV-1611) Deu 1:25 Yo pran kèk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyè a ap ban nou an se yon bon venn tè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:26 ============ Deu 1:26 Notwithstanding ye would not go up, but rebelled against the commandment of the LORD your God:(KJV-1611) Deu 1:26 Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:27 ============ Deu 1:27 And ye murmured in your tents, and said, Because the LORD hated us, he hath brought us forth out of the land of Egypt, to deliver us into the hand of the Amorites, to destroy us.(KJV-1611) Deu 1:27 Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:28 ============ Deu 1:28 Whither shall we go up? our brethren have discouraged our heart, saying, The people is greater and taller than we; the cities are great and walled up to heaven; and moreover we have seen the sons of the Anakims there.(KJV-1611) Deu 1:28 Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:29 ============ Deu 1:29 Then I said unto you, Dread not, neither be afraid of them.(KJV-1611) Deu 1:29 Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:30 ============ Deu 1:30 The LORD your God which goeth before you, he shall fight for you, according to all that he did for you in Egypt before your eyes;(KJV-1611) Deu 1:30 Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:31 ============ Deu 1:31 And in the wilderness, where thou hast seen how that the LORD thy God bare thee, as a man doth bear his son, in all the way that ye went, until ye came into this place.(KJV-1611) Deu 1:31 ak nan dezè a. Nou wè ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bò isit la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:32 ============ Deu 1:32 Yet in this thing ye did not believe the LORD your God,(KJV-1611) Deu 1:32 Men, atout mwen te di nou sa, nou pa t' vle mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:33 ============ Deu 1:33 Who went in the way before you, to search you out a place to pitch your tents in, in fire by night, to shew you by what way ye should go, and in a cloud by day.(KJV-1611) Deu 1:33 li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:34 ============ Deu 1:34 And the LORD heard the voice of your words, and was wroth, and sware, saying,(KJV-1611) Deu 1:34 Lè Seyè a tande jan nou t'ap plenyen, li te fache anpil, li fè sèman, li di:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:35 ============ Deu 1:35 Surely there shall not one of these men of this evil generation see that good land, which I sware to give unto your fathers.(KJV-1611) Deu 1:35 Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:36 ============ Deu 1:36 Save Caleb the son of Jephunneh; he shall see it, and to him will I give the land that he hath trodden upon, and to his children, because he hath wholly followed the LORD.(KJV-1611) Deu 1:36 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:37 ============ Deu 1:37 Also the LORD was angry with me for your sakes, saying, Thou also shalt not go in thither.(KJV-1611) Deu 1:37 Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:38 ============ Deu 1:38 But Joshua the son of Nun, which standeth before thee, he shall go in thither: encourage him: for he shall cause Israel to inherit it.(KJV-1611) Deu 1:38 Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sèvi avè ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fè pèp Izrayèl la antre al pran peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:39 ============ Deu 1:39 Moreover your little ones, which ye said should be a prey, and your children, which in that day had no knowledge between good and evil, they shall go in thither, and unto them will I give it, and they shall possess it.(KJV-1611) Deu 1:39 Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lènmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:40 ============ Deu 1:40 But as for you, turn you, and take your journey into the wilderness by the way of the Red sea.(KJV-1611) Deu 1:40 Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:41 ============ Deu 1:41 Then ye answered and said unto me, We have sinned against the LORD, we will go up and fight, according to all that the LORD our God commanded us. And when ye had girded on every man his weapons of war, ye were ready to go up into the hill.(KJV-1611) Deu 1:41 Lè sa a nou reponn mwen: Nou rekonèt nou peche kont Seyè a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwè sa tapral fasil pou nou pran mòn yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:42 ============ Deu 1:42 And the LORD said unto me, Say unto them. Go not up, neither fight; for I am not among you; lest ye be smitten before your enemies.(KJV-1611) Deu 1:42 Men, Seyè a di m' avèti nou: Piga n' al atake, piga n' al fè lènmi nou yo bat nou, paske li p'ap kanpe avèk nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:43 ============ Deu 1:43 So I spake unto you; and ye would not hear, but rebelled against the commandment of the LORD, and went presumptuously up into the hill.(KJV-1611) Deu 1:43 Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m', nou derefize swiv lòd Seyè a te ban nou. Nou te konprann nou te fò kont kò nou pou n' te al pran mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:44 ============ Deu 1:44 And the Amorites, which dwelt in that mountain, came out against you, and chased you, as bees do, and destroyed you in Seir, even unto Hormah.(KJV-1611) Deu 1:44 Lè sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myèl, yo kouri dèyè nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:45 ============ Deu 1:45 And ye returned and wept before the LORD; but the LORD would not hearken to your voice, nor give ear unto you.(KJV-1611) Deu 1:45 Lè nou tounen, nou kriye nan pye Seyè a, men Seyè a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 1:46 ============ Deu 1:46 So ye abode in Kadesh many days, according unto the days that ye abode there.(KJV-1611) Deu 1:46 Se poutèt sa nou te blije pase tout tan sa a nan zòn Kadès la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:1 ============ Deu 2:1 Then we turned, and took our journey into the wilderness by the way of the Red sea, as the LORD spake unto me: and we compassed mount Seir many days.(KJV-1611) Deu 2:1 Lè sa a, nou tounen tounen nou nan dezè a, nou pran chemen Lanmè Wouj la pou nou, jan Seyè a te pase nou lòd la. Nou pase yon pakèt tan ap mache moute desann nan mòn peyi Seyi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:2 ============ Deu 2:2 And the LORD spake unto me, saying,(KJV-1611) Deu 2:2 Apre sa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:3 ============ Deu 2:3 Ye have compassed this mountain long enough: turn you northward.(KJV-1611) Deu 2:3 Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Koulye a, pran direksyon nò pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:4 ============ Deu 2:4 And command thou the people, saying, Ye are to pass through the coast of your brethren the children of Esau, which dwell in Seir; and they shall be afraid of you: take ye good heed unto yourselves therefore:(KJV-1611) Deu 2:4 Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:5 ============ Deu 2:5 Meddle not with them; for I will not give you of their land, no, not so much as a foot breadth; because I have given mount Seir unto Esau for a possession.(KJV-1611) Deu 2:5 Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezaou yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:6 ============ Deu 2:6 Ye shall buy meat of them for money, that ye may eat; and ye shall also buy water of them for money, that ye may drink.(KJV-1611) Deu 2:6 N'a achte manje pou nou manje nan men yo pou lajan nou, n'a mande yo achte ata dlo pou nou bwè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:7 ============ Deu 2:7 For the LORD thy God hath blessed thee in all the works of thy hand: he knoweth thy walking through this great wilderness: these forty years the LORD thy God hath been with thee; thou hast lacked nothing.(KJV-1611) Deu 2:7 Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:8 ============ Deu 2:8 And when we passed by from our brethren the children of Esau, which dwelt in Seir, through the way of the plain from Elath, and from Eziongaber, we turned and passed by the way of the wilderness of Moab.(KJV-1611) Deu 2:8 Se konsa nou leve, nou pati, nou kite wout Araba a ki soti lavil Elat ak lavil Etsongebè, nou pase byen lwen peyi kote pitit Ezaou yo rete a, peyi ki pou moun menm ras ak nou yo. Nou vire, nou pran chemen ki mennen nan dezè Moab la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:9 ============ Deu 2:9 And the LORD said unto me, Distress not the Moabites, neither contend with them in battle: for I will not give thee of their land for a possession; because I have given Ar unto the children of Lot for a possession.(KJV-1611) Deu 2:9 Lè sa a, Seyè a di m': Pa chache moun Moab yo, moun fanmi Lòt yo, kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ban nou anyen nan peyi ki pou yo a. Se mwen menm ki bay yo lavil A Moab la pou yo rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:10 ============ Deu 2:10 The Emims dwelt therein in times past, a people great, and many, and tall, as the Anakims;(KJV-1611) Deu 2:10 (Nan tan lontan, se te emen yo ki te rete nan lavil Ar la. Se te yon ras moun ki te wo anpil tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:11 ============ Deu 2:11 Which also were accounted giants, as the Anakims; but the Moabites called them Emims.(KJV-1611) Deu 2:11 Tout lòt moun te rele yo refayim, menm non ak moun Anak yo. Men, se moun Moab yo ki te rele yo emen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:12 ============ Deu 2:12 The Horims also dwelt in Seir beforetime; but the children of Esau succeeded them, when they had destroyed them from before them, and dwelt in their stead; as Israel did unto the land of his possession, which the LORD gave unto them.(KJV-1611) Deu 2:12 Konsa tou, nan tan lontan se orit yo ki te rete nan peyi Edon an. Men moun fanmi Ezaou yo te pran peyi a nan men yo, yo touye tout moun epi yo rete ladan l' nan plas moun yo, menm jan moun Izrayèl yo te fè pou peyi ki pou yo a, peyi Seyè a te ba yo a.)(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:13 ============ Deu 2:13 Now rise up, said I, and get you over the brook Zered. And we went over the brook Zered.(KJV-1611) Deu 2:13 Aprè sa, Seyè a di ankò: Leve non! Janbe lòt bò ravin Zerèd la. Se konsa nou janbe lòt bò ravin Zerèd la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:14 ============ Deu 2:14 And the space in which we came from Kadeshbarnea, until we were come over the brook Zered, was thirty and eight years; until all the generation of the men of war were wasted out from among the host, as the LORD sware unto them.(KJV-1611) Deu 2:14 Nou pran trantwitan pou nou mache soti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gen tan mouri, jan Seyè a te di li t'ap fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:15 ============ Deu 2:15 For indeed the hand of the LORD was against them, to destroy them from among the host, until they were consumed.(KJV-1611) Deu 2:15 Seyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:16 ============ Deu 2:16 So it came to pass, when all the men of war were consumed and dead from among the people,(KJV-1611) Deu 2:16 Lè tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te fin mouri,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:17 ============ Deu 2:17 That the LORD spake unto me, saying,(KJV-1611) Deu 2:17 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:18 ============ Deu 2:18 Thou art to pass over through Ar, the coast of Moab, this day:(KJV-1611) Deu 2:18 Jòdi a ou pral pase fwontyè peyi Moab la, ou pral pran chemen lavil Ar la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:19 ============ Deu 2:19 And when thou comest nigh over against the children of Ammon, distress them not, nor meddle with them: for I will not give thee of the land of the children of Ammon any possession; because I have given it unto the children of Lot for a possession.(KJV-1611) Deu 2:19 Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:20 ============ Deu 2:20 (That also was accounted a land of giants: giants dwelt therein in old time; and the Ammonites call them Zamzummims;(KJV-1611) Deu 2:20 (Nan tan lontan, dapre sa yo di, peyi sa a, se te peyi refayim yo. Se refayim yo ki te rete ladan l' anvan. Moun Amon yo te rele yo Zanmzoumim.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:21 ============ Deu 2:21 A people great, and many, and tall, as the Anakims; but the LORD destroyed them before them; and they succeeded them, and dwelt in their stead:(KJV-1611) Deu 2:21 Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Seyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:22 ============ Deu 2:22 As he did to the children of Esau, which dwelt in Seir, when he destroyed the Horims from before them; and they succeeded them, and dwelt in their stead even unto this day:(KJV-1611) Deu 2:22 Se menm bagay Seyè a te fè pou moun fanmi Ezaou yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezaou yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:23 ============ Deu 2:23 And the Avims which dwelt in Hazerim, even unto Azzah, the Caphtorims, which came forth out of Caphtor, destroyed them, and dwelt in their stead.)(KJV-1611) Deu 2:23 Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:24 ============ Deu 2:24 Rise ye up, take your journey, and pass over the river Arnon: behold, I have given into thine hand Sihon the Amorite, king of Heshbon, and his land: begin to possess it, and contend with him in battle.(KJV-1611) Deu 2:24 Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:25 ============ Deu 2:25 This day will I begin to put the dread of thee and the fear of thee upon the nations that are under the whole heaven, who shall hear report of thee, and shall tremble, and be in anguish because of thee.(KJV-1611) Deu 2:25 Depi jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:26 ============ Deu 2:26 And I sent messengers out of the wilderness of Kedemoth unto Sihon king of Heshbon with words of peace, saying,(KJV-1611) Deu 2:26 Lè sa a, antan nou te nan dezè Kedemòt la, mwen voye kèk mesaje bò kote Siyon, wa lavil Esbon an, pou yo te pale an zanmi avè l', pou yo te di l' pou mwen:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:27 ============ Deu 2:27 Let me pass through thy land: I will go along by the high way, I will neither turn unto the right hand nor to the left.(KJV-1611) Deu 2:27 Mwen fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agoch.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:28 ============ Deu 2:28 Thou shalt sell me meat for money, that I may eat; and give me water for money, that I may drink: only I will pass through on my feet;(KJV-1611) Deu 2:28 W'a vann nou pou lajan nou manje nou ka bezwen pou n' manje ansanm ak dlo pou nou bwè. Se pase sèlman n'ap pase nan peyi a san rete,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:29 ============ Deu 2:29 (As the children of Esau which dwell in Seir, and the Moabites which dwell in Ar, did unto me;) until I shall pass over Jordan into the land which the LORD our God giveth us.(KJV-1611) Deu 2:29 jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezaou yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Moab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n' pase nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:30 ============ Deu 2:30 But Sihon king of Heshbon would not let us pass by him: for the LORD thy God hardened his spirit, and made his heart obstinate, that he might deliver him into thy hand, as appeareth this day.(KJV-1611) Deu 2:30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:31 ============ Deu 2:31 And the LORD said unto me, Behold, I have begun to give Sihon and his land before thee: begin to possess, that thou mayest inherit his land.(KJV-1611) Deu 2:31 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Gade! Depi koulye a mwen lage Siyon ak tout peyi li a nan men nou. Konmanse anvayi peyi a, pran peyi l' la pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:32 ============ Deu 2:32 Then Sihon came out against us, he and all his people, to fight at Jahaz.(KJV-1611) Deu 2:32 Siyon mache kontre nou ak tout lame l' la, li vin mande nou batay bò Jayat.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:33 ============ Deu 2:33 And the LORD our God delivered him before us; and we smote him, and his sons, and all his people.(KJV-1611) Deu 2:33 Men, Seyè a, Bondye nou an, lage l' nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l' yo ak tout lame l' yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:34 ============ Deu 2:34 And we took all his cities at that time, and utterly destroyed the men, and the women, and the little ones, of every city, we left none to remain:(KJV-1611) Deu 2:34 Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:35 ============ Deu 2:35 Only the cattle we took for a prey unto ourselves, and the spoil of the cities which we took.(KJV-1611) Deu 2:35 Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:36 ============ Deu 2:36 From Aroer, which is by the brink of the river of Arnon, and from the city that is by the river, even unto Gilead, there was not one city too strong for us: the LORD our God delivered all unto us:(KJV-1611) Deu 2:36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 2:37 ============ Deu 2:37 Only unto the land of the children of Ammon thou camest not, nor unto any place of the river Jabbok, nor unto the cities in the mountains, nor unto whatsoever the LORD our God forbad us.(KJV-1611) Deu 2:37 Men nou pa t' pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò ankenn kote Seyè a te ban nou lòd pa atake.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:1 ============ Deu 3:1 Then we turned, and went up the way to Bashan: and Og the king of Bashan came out against us, he and all his people, to battle at Edrei.(KJV-1611) Deu 3:1 Apre sa, nou pran yon lòt chemen nan direksyon peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, soti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bò lavil Edreyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:2 ============ Deu 3:2 And the LORD said unto me, Fear him not: for I will deliver him, and all his people, and his land, into thy hand; and thou shalt do unto him as thou didst unto Sihon king of the Amorites, which dwelt at Heshbon.(KJV-1611) Deu 3:2 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Nou pa bezwen pè li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fè li tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:3 ============ Deu 3:3 So the LORD our God delivered into our hands Og also, the king of Bashan, and all his people: and we smote him until none was left to him remaining.(KJV-1611) Deu 3:3 Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:4 ============ Deu 3:4 And we took all his cities at that time, there was not a city which we took not from them, threescore cities, all the region of Argob, the kingdom of Og in Bashan.(KJV-1611) Deu 3:4 Konsa tou, nou pran tout lavil yo pou nou. Pa t' gen yonn menm ki pa t' tonbe nan men nou. Antou nou te pran swasant lavil, tout lavil ki te nan zòn Agòb la, kote Og, wa Bazan an, t'ap gouvènen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:5 ============ Deu 3:5 All these cities were fenced with high walls, gates, and bars; beside unwalled towns a great many.(KJV-1611) Deu 3:5 Tout lavil sa yo te gen bèl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryè ak ba solid pou fèmen baryè yo. Nou te pran tou yon bann lòt lavil ki pa t' gen ranpa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:6 ============ Deu 3:6 And we utterly destroyed them, as we did unto Sihon king of Heshbon, utterly destroying the men, women, and children, of every city.(KJV-1611) Deu 3:6 Nou detwi yo nèt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fè l' pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:7 ============ Deu 3:7 But all the cattle, and the spoil of the cities, we took for a prey to ourselves.(KJV-1611) Deu 3:7 Men, nou pran tout zannimo yo ak tout lòt bagay ki gen valè nan lavil yo pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:8 ============ Deu 3:8 And we took at that time out of the hand of the two kings of the Amorites the land that was on this side Jordan, from the river of Arnon unto mount Hermon;(KJV-1611) Deu 3:8 Se konsa, lè sa a, nou pran pou nou peyi tou de wa peyi Amori yo ki t'ap viv sou bò solèy leve, depi ravin Anon jouk mòn Emon, lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:9 ============ Deu 3:9 (Which Hermon the Sidonians call Sirion; and the Amorites call it Shenir;)(KJV-1611) Deu 3:9 Moun Sidon yo rele mòn Emon an Siryon, men moun Amori yo menm rele l' Seni.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:10 ============ Deu 3:10 All the cities of the plain, and all Gilead, and all Bashan, unto Salchah and Edrei, cities of the kingdom of Og in Bashan.(KJV-1611) Deu 3:10 Nou pran tout lavil ki nan gwo platon sou tèt mòn yo, tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an rive jouk Salka ak Edreyi, de lavil ki te pou Og, wa Bazan an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:11 ============ Deu 3:11 For only Og king of Bashan remained of the remnant of giants; behold his bedstead was a bedstead of iron; is it not in Rabbath of the children of Ammon? nine cubits was the length thereof, and four cubits the breadth of it, after the cubit of a man.(KJV-1611) Deu 3:11 (Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:12 ============ Deu 3:12 And this land, which we possessed at that time, from Aroer, which is by the river Arnon, and half mount Gilead, and the cities thereof, gave I unto the Reubenites and to the Gadites.(KJV-1611) Deu 3:12 Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:13 ============ Deu 3:13 And the rest of Gilead, and all Bashan, being the kingdom of Og, gave I unto the half tribe of Manasseh; all the region of Argob, with all Bashan, which was called the land of giants.(KJV-1611) Deu 3:13 Mwen bay mwatye nan branch fanmi Manase a rès zòn Galarad la ak tout peyi Bazan an, kote Og t'ap gouvènen an. (Dapre sa yo di, peyi Bazan an, tout zòn Agòb la, se peyi refayim yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:14 ============ Deu 3:14 Jair the son of Manasseh took all the country of Argob unto the coasts of Geshuri and Maachathi; and called them after his own name, Bashanhavothjair, unto this day.(KJV-1611) Deu 3:14 Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:15 ============ Deu 3:15 And I gave Gilead unto Machir.(KJV-1611) Deu 3:15 Mwen bay Maki peyi Galarad la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:16 ============ Deu 3:16 And unto the Reubenites and unto the Gadites I gave from Gilead even unto the river Arnon half the valley, and the border even unto the river Jabbok, which is the border of the children of Ammon;(KJV-1611) Deu 3:16 Mwen bay branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo zòn ki soti depi peyi Galarad la rive ravin Anon. Sou nan sid, baliz peyi a pase nan mitan ravin Anon. Sou nan nò, peyi a rive rivyè Jabòk ki te sèvi l' fwontyè ak peyi Amon an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:17 ============ Deu 3:17 The plain also, and Jordan, and the coast thereof, from Chinnereth even unto the sea of the plain, even the salt sea, under Ashdothpisgah eastward.(KJV-1611) Deu 3:17 Sou bò solèy kouche, larivyè Jouden an, depi letan Kinerèt jouk lanmè Sale a, lanmè yo rele Araba a, va sèvi fwontyè ki va desann anba lanmè Sale a jouk nan pye mòn Pisga a bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:18 ============ Deu 3:18 And I commanded you at that time, saying, The LORD your God hath given you this land to possess it: ye shall pass over armed before your brethren the children of Israel, all that are meet for the war.(KJV-1611) Deu 3:18 Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:19 ============ Deu 3:19 But your wives, and your little ones, and your cattle, (for I know that ye have much cattle,) shall abide in your cities which I have given you;(KJV-1611) Deu 3:19 Sèl moun n'a kite nan lavil mwen ban nou yo, se va madanm nou ak pitit nou yo ansanm ak bèt nou yo. Pou bèt, mwen konnen nou pa manke sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:20 ============ Deu 3:20 Until the LORD have given rest unto your brethren, as well as unto you, and until they also possess the land which the LORD your God hath given them beyond Jordan: and then shall ye return every man unto his possession, which I have given you.(KJV-1611) Deu 3:20 N'a ede rès moun pèp Izrayèl yo jouk Seyè a va fin ba yo pòsyon pa yo jan li deja fè l' pou nou an, jouk y'a fin pran peyi Seyè a ap ba yo a lòt bò larivyè Jouden. Se lè sa a n'a tounen nan peyi mwen te chwazi pou m' ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:21 ============ Deu 3:21 And I commanded Joshua at that time, saying, Thine eyes have seen all that the LORD your God hath done unto these two kings: so shall the LORD do unto all the kingdoms whither thou passest.(KJV-1611) Deu 3:21 Apre sa, mwen bay Jozye lòd sa a: Ou wè ak je ou tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Seyè a ap fè wa tout peyi kote nou pral pase yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:22 ============ Deu 3:22 Ye shall not fear them: for the LORD your God he shall fight for you.(KJV-1611) Deu 3:22 Nou pa bezwen pè yo menm. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki pral goumen pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:23 ============ Deu 3:23 And I besought the LORD at that time, saying,(KJV-1611) Deu 3:23 Lè sa a atò, mwen mande Seyè a yon favè. Mwen di l':(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:24 ============ Deu 3:24 O Lord GOD, thou hast begun to shew thy servant thy greatness, and thy mighty hand: for what God is there in heaven or in earth, that can do according to thy works, and according to thy might?(KJV-1611) Deu 3:24 Seyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouraj. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:25 ============ Deu 3:25 I pray thee, let me go over, and see the good land that is beyond Jordan, that goodly mountain, and Lebanon.(KJV-1611) Deu 3:25 Tanpri souple, kite m' travèse lòt bò larivyè Jouden an pou m' ka wè bèl peyi ki lòt bò a, bèl mòn sa yo ak peyi Liban an tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:26 ============ Deu 3:26 But the LORD was wroth with me for your sakes, and would not hear me: and the LORD said unto me, Let it suffice thee; speak no more unto me of this matter.(KJV-1611) Deu 3:26 Men, se nou menm ki lakòz Seyè a te fache sou mwen, li refize tande m'. Li di m' konsa: Ase la! Pa janm vin pale m' bagay sa a ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:27 ============ Deu 3:27 Get thee up into the top of Pisgah, and lift up thine eyes westward, and northward, and southward, and eastward, and behold it with thine eyes: for thou shalt not go over this Jordan.(KJV-1611) Deu 3:27 Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:28 ============ Deu 3:28 But charge Joshua, and encourage him, and strengthen him: for he shall go over before this people, and he shall cause them to inherit the land which thou shalt see.(KJV-1611) Deu 3:28 Bay Jozye lòd tou sa pou li fè. Ankouraje l'. Ba li fòs kouraj, paske se li menm ki pral janbe lòt bò larivyè Jouden an alatèt pèp la. Se li menm ki pral fè yo pran peyi ou pral wè a pou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 3:29 ============ Deu 3:29 So we abode in the valley over against Bethpeor.(KJV-1611) Deu 3:29 Epi nou rete nan fon an, anfas lavil Bètpeyò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:1 ============ Deu 4:1 Now therefore hearken, O Israel, unto the statutes and unto the judgments, which I teach you, for to do them, that ye may live, and go in and possess the land which the LORD God of your fathers giveth you.(KJV-1611) Deu 4:1 Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:2 ============ Deu 4:2 Ye shall not add unto the word which I command you, neither shall ye diminish ought from it, that ye may keep the commandments of the LORD your God which I command you.(KJV-1611) Deu 4:2 Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:3 ============ Deu 4:3 Your eyes have seen what the LORD did because of Baalpeor: for all the men that followed Baalpeor, the LORD thy God hath destroyed them from among you.(KJV-1611) Deu 4:3 Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:4 ============ Deu 4:4 But ye that did cleave unto the LORD your God are alive every one of you this day.(KJV-1611) Deu 4:4 Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:5 ============ Deu 4:5 Behold, I have taught you statutes and judgments, even as the LORD my God commanded me, that ye should do so in the land whither ye go to possess it.(KJV-1611) Deu 4:5 Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:6 ============ Deu 4:6 Keep therefore and do them; for this is your wisdom and your understanding in the sight of the nations, which shall hear all these statutes, and say, Surely this great nation is a wise and understanding people.(KJV-1611) Deu 4:6 Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:7 ============ Deu 4:7 For what nation is there so great, who hath God so nigh unto them, as the LORD our God is in all things that we call upon him for?(KJV-1611) Deu 4:7 Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:8 ============ Deu 4:8 And what nation is there so great, that hath statutes and judgments so righteous as all this law, which I set before you this day?(KJV-1611) Deu 4:8 Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:9 ============ Deu 4:9 Only take heed to thyself, and keep thy soul diligently, lest thou forget the things which thine eyes have seen, and lest they depart from thy heart all the days of thy life: but teach them thy sons, and thy sons' sons;(KJV-1611) Deu 4:9 Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:10 ============ Deu 4:10 Specially the day that thou stoodest before the LORD thy God in Horeb, when the LORD said unto me, Gather me the people together, and I will make them hear my words, that they may learn to fear me all the days that they shall live upon the earth, and that they may teach their children.(KJV-1611) Deu 4:10 Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:11 ============ Deu 4:11 And ye came near and stood under the mountain; and the mountain burned with fire unto the midst of heaven, with darkness, clouds, and thick darkness.(KJV-1611) Deu 4:11 N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:12 ============ Deu 4:12 And the LORD spake unto you out of the midst of the fire: ye heard the voice of the words, but saw no similitude; only ye heard a voice.(KJV-1611) Deu 4:12 Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:13 ============ Deu 4:13 And he declared unto you his covenant, which he commanded you to perform, even ten commandments; and he wrote them upon two tables of stone.(KJV-1611) Deu 4:13 Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:14 ============ Deu 4:14 And the LORD commanded me at that time to teach you statutes and judgments, that ye might do them in the land whither ye go over to possess it.(KJV-1611) Deu 4:14 Lè sa a, Seyè a pase m' lòd pou m' moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:15 ============ Deu 4:15 Take ye therefore good heed unto yourselves; for ye saw no manner of similitude on the day that the LORD spake unto you in Horeb out of the midst of the fire:(KJV-1611) Deu 4:15 Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:16 ============ Deu 4:16 Lest ye corrupt yourselves, and make you a graven image, the similitude of any figure, the likeness of male or female,(KJV-1611) Deu 4:16 Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n' al fè ankenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:17 ============ Deu 4:17 The likeness of any beast that is on the earth, the likeness of any winged fowl that flieth in the air,(KJV-1611) Deu 4:17 kit li gen fòm zannimo oswa fòm zwazo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:18 ============ Deu 4:18 The likeness of any thing that creepeth on the ground, the likeness of any fish that is in the waters beneath the earth:(KJV-1611) Deu 4:18 kit li gen fòm bèt k'ap trennen sou vant yo osinon fòm pwason.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:19 ============ Deu 4:19 And lest thou lift up thine eyes unto heaven, and when thou seest the sun, and the moon, and the stars, even all the host of heaven, shouldest be driven to worship them, and serve them, which the LORD thy God hath divided unto all nations under the whole heaven.(KJV-1611) Deu 4:19 Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:20 ============ Deu 4:20 But the LORD hath taken you, and brought you forth out of the iron furnace, even out of Egypt, to be unto him a people of inheritance, as ye are this day.(KJV-1611) Deu 4:20 Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:21 ============ Deu 4:21 Furthermore the LORD was angry with me for your sakes, and sware that I should not go over Jordan, and that I should not go in unto that good land, which the LORD thy God giveth thee for an inheritance:(KJV-1611) Deu 4:21 Men, Seyè a, Bondye nou an, te fache sou mwen poutèt nou. Li fè sèman li p'ap kite m' janbe lòt bò larivyè Jouden an, ni li p'ap kite m' mete pwent pye m' nan bon peyi li menm, Seyè a, Bondye nou an, ap fè nou kado a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:22 ============ Deu 4:22 But I must die in this land, I must not go over Jordan: but ye shall go over, and possess that good land.(KJV-1611) Deu 4:22 Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:23 ============ Deu 4:23 Take heed unto yourselves, lest ye forget the covenant of the LORD your God, which he made with you, and make you a graven image, or the likeness of any thing, which the LORD thy God hath forbidden thee.(KJV-1611) Deu 4:23 Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè ankenn zidòl, ankenn pòtre bagay Seyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:24 ============ Deu 4:24 For the LORD thy God is a consuming fire, even a jealous God.(KJV-1611) Deu 4:24 Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:25 ============ Deu 4:25 When thou shalt beget children, and children's children, and ye shall have remained long in the land, and shall corrupt yourselves, and make a graven image, or the likeness of any thing, and shall do evil in the sight of the LORD thy God, to provoke him to anger:(KJV-1611) Deu 4:25 Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:26 ============ Deu 4:26 I call heaven and earth to witness against you this day, that ye shall soon utterly perish from off the land whereunto ye go over Jordan to possess it; ye shall not prolong your days upon it, but shall utterly be destroyed.(KJV-1611) Deu 4:26 Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:27 ============ Deu 4:27 And the LORD shall scatter you among the nations, and ye shall be left few in number among the heathen, whither the LORD shall lead you.(KJV-1611) Deu 4:27 Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:28 ============ Deu 4:28 And there ye shall serve gods, the work of men's hands, wood and stone, which neither see, nor hear, nor eat, nor smell.(KJV-1611) Deu 4:28 Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:29 ============ Deu 4:29 But if from thence thou shalt seek the LORD thy God, thou shalt find him, if thou seek him with all thy heart and with all thy soul.(KJV-1611) Deu 4:29 Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:30 ============ Deu 4:30 When thou art in tribulation, and all these things are come upon thee, even in the latter days, if thou turn to the LORD thy God, and shalt be obedient unto his voice;(KJV-1611) Deu 4:30 Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:31 ============ Deu 4:31 (For the LORD thy God is a merciful God;) he will not forsake thee, neither destroy thee, nor forget the covenant of thy fathers which he sware unto them.(KJV-1611) Deu 4:31 Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:32 ============ Deu 4:32 For ask now of the days that are past, which were before thee, since the day that God created man upon the earth, and ask from the one side of heaven unto the other, whether there hath been any such thing as this great thing is, or hath been heard like it?(KJV-1611) Deu 4:32 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:33 ============ Deu 4:33 Did ever people hear the voice of God speaking out of the midst of the fire, as thou hast heard, and live?(KJV-1611) Deu 4:33 Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:34 ============ Deu 4:34 Or hath God assayed to go and take him a nation from the midst of another nation, by temptations, by signs, and by wonders, and by war, and by a mighty hand, and by a stretched out arm, and by great terrors, according to all that the LORD your God did for you in Egypt before your eyes?(KJV-1611) Deu 4:34 Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:35 ============ Deu 4:35 Unto thee it was shewed, that thou mightest know that the LORD he is God; there is none else beside him.(KJV-1611) Deu 4:35 Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:36 ============ Deu 4:36 Out of heaven he made thee to hear his voice, that he might instruct thee: and upon earth he shewed thee his great fire; and thou heardest his words out of the midst of the fire.(KJV-1611) Deu 4:36 Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:37 ============ Deu 4:37 And because he loved thy fathers, therefore he chose their seed after them, and brought thee out in his sight with his mighty power out of Egypt;(KJV-1611) Deu 4:37 Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:38 ============ Deu 4:38 To drive out nations from before thee greater and mightier than thou art, to bring thee in, to give thee their land for an inheritance, as it is this day.(KJV-1611) Deu 4:38 Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:39 ============ Deu 4:39 Know therefore this day, and consider it in thine heart, that the LORD he is God in heaven above, and upon the earth beneath: there is none else.(KJV-1611) Deu 4:39 Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:40 ============ Deu 4:40 Thou shalt keep therefore his statutes, and his commandments, which I command thee this day, that it may go well with thee, and with thy children after thee, and that thou mayest prolong thy days upon the earth, which the LORD thy God giveth thee, for ever.(KJV-1611) Deu 4:40 Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:41 ============ Deu 4:41 Then Moses severed three cities on this side Jordan toward the sunrising;(KJV-1611) Deu 4:41 Apre sa, Moyiz chwazi twa lavil lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:42 ============ Deu 4:42 That the slayer might flee thither, which should kill his neighbour unawares, and hated him not in times past; and that fleeing unto one of these cities he might live:(KJV-1611) Deu 4:42 lavil kote moun gen dwa kouri al kache si li ta touye yon moun pèp Izrayèl parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'. Li gen dwa al kache kò l' nan yonn nan lavil sa yo pou yo pa touye l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:43 ============ Deu 4:43 Namely, Bezer in the wilderness, in the plain country, of the Reubenites; and Ramoth in Gilead, of the Gadites; and Golan in Bashan, of the Manassites.(KJV-1611) Deu 4:43 Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:44 ============ Deu 4:44 And this is the law which Moses set before the children of Israel:(KJV-1611) Deu 4:44 Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:45 ============ Deu 4:45 These are the testimonies, and the statutes, and the judgments, which Moses spake unto the children of Israel, after they came forth out of Egypt.(KJV-1611) Deu 4:45 Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:46 ============ Deu 4:46 On this side Jordan, in the valley over against Bethpeor, in the land of Sihon king of the Amorites, who dwelt at Heshbon, whom Moses and the children of Israel smote, after they were come forth out of Egypt:(KJV-1611) Deu 4:46 Lè sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:47 ============ Deu 4:47 And they possessed his land, and the land of Og king of Bashan, two kings of the Amorites, which were on this side Jordan toward the sunrising;(KJV-1611) Deu 4:47 Yo pran peyi a nan men l'. Yo fè menm bagay la tou nan peyi Bazan, kote wa Og t'ap gouvènen an. De wa peyi Amori sa yo t'ap viv lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:48 ============ Deu 4:48 From Aroer, which is by the bank of the river Arnon, even unto mount Sion, which is Hermon,(KJV-1611) Deu 4:48 Peyi yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyè ki sou tèt falèz toupre larivyè Anon an, li rive jouk mòn Siryon. Yo rele mòn sa a mòn Emon tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 4:49 ============ Deu 4:49 And all the plain on this side Jordan eastward, even unto the sea of the plain, under the springs of Pisgah.(KJV-1611) Deu 4:49 Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:1 ============ Deu 5:1 And Moses called all Israel, and said unto them, Hear, O Israel, the statutes and judgments which I speak in your ears this day, that ye may learn them, and keep, and do them.(KJV-1611) Deu 5:1 Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:2 ============ Deu 5:2 The LORD our God made a covenant with us in Horeb.(KJV-1611) Deu 5:2 Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:3 ============ Deu 5:3 The LORD made not this covenant with our fathers, but with us, even us, who are all of us here alive this day.(KJV-1611) Deu 5:3 Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:4 ============ Deu 5:4 The LORD talked with you face to face in the mount out of the midst of the fire,(KJV-1611) Deu 5:4 Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:5 ============ Deu 5:5 (I stood between the LORD and you at that time, to shew you the word of the LORD: for ye were afraid by reason of the fire, and went not up into the mount;) saying,(KJV-1611) Deu 5:5 Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:6 ============ Deu 5:6 I am the LORD thy God, which brought thee out of the land of Egypt, from the house of bondage.(KJV-1611) Deu 5:6 Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:7 ============ Deu 5:7 Thou shalt have none other gods before me.(KJV-1611) Deu 5:7 Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:8 ============ Deu 5:8 Thou shalt not make thee any graven image, or any likeness of any thing that is in heaven above, or that is in the earth beneath, or that is in the waters beneath the earth:(KJV-1611) Deu 5:8 Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:9 ============ Deu 5:9 Thou shalt not bow down thyself unto them, nor serve them: for I the LORD thy God am a jealous God, visiting the iniquity of the fathers upon the children unto the third and fourth generation of them that hate me,(KJV-1611) Deu 5:9 Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:10 ============ Deu 5:10 And shewing mercy unto thousands of them that love me and keep my commandments.(KJV-1611) Deu 5:10 Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:11 ============ Deu 5:11 Thou shalt not take the name of the LORD thy God in vain: for the LORD will not hold him guiltless that taketh his name in vain.(KJV-1611) Deu 5:11 Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:12 ============ Deu 5:12 Keep the sabbath day to sanctify it, as the LORD thy God hath commanded thee.(KJV-1611) Deu 5:12 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:13 ============ Deu 5:13 Six days thou shalt labour, and do all thy work:(KJV-1611) Deu 5:13 N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:14 ============ Deu 5:14 But the seventh day is the sabbath of the LORD thy God: in it thou shalt not do any work, thou, nor thy son, nor thy daughter, nor thy manservant, nor thy maidservant, nor thine ox, nor thine ass, nor any of thy cattle, nor thy stranger that is within thy gates; that thy manservant and thy maidservant may rest as well as thou.(KJV-1611) Deu 5:14 Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:15 ============ Deu 5:15 And remember that thou wast a servant in the land of Egypt, and that the LORD thy God brought thee out thence through a mighty hand and by a stretched out arm: therefore the LORD thy God commanded thee to keep the sabbath day.(KJV-1611) Deu 5:15 N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:16 ============ Deu 5:16 Honour thy father and thy mother, as the LORD thy God hath commanded thee; that thy days may be prolonged, and that it may go well with thee, in the land which the LORD thy God giveth thee.(KJV-1611) Deu 5:16 Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:17 ============ Deu 5:17 Thou shalt not kill.(KJV-1611) Deu 5:17 Piga nou janm touye moun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:18 ============ Deu 5:18 Neither shalt thou commit adultery.(KJV-1611) Deu 5:18 Piga nou janm fè adiltè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:19 ============ Deu 5:19 Neither shalt thou steal.(KJV-1611) Deu 5:19 Piga nou janm pran sa ki pa pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:20 ============ Deu 5:20 Neither shalt thou bear false witness against thy neighbour.(KJV-1611) Deu 5:20 Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:21 ============ Deu 5:21 Neither shalt thou desire thy neighbour's wife, neither shalt thou covet thy neighbour's house, his field, or his manservant, or his maidservant, his ox, or his ass, or any thing that is thy neighbour's.(KJV-1611) Deu 5:21 Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:22 ============ Deu 5:22 These words the LORD spake unto all your assembly in the mount out of the midst of the fire, of the cloud, and of the thick darkness, with a great voice: and he added no more. And he wrote them in two tables of stone, and delivered them unto me.(KJV-1611) Deu 5:22 Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:23 ============ Deu 5:23 And it came to pass, when ye heard the voice out of the midst of the darkness, (for the mountain did burn with fire,) that ye came near unto me, even all the heads of your tribes, and your elders;(KJV-1611) Deu 5:23 Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:24 ============ Deu 5:24 And ye said, Behold, the LORD our God hath shewed us his glory and his greatness, and we have heard his voice out of the midst of the fire: we have seen this day that God doth talk with man, and he liveth.(KJV-1611) Deu 5:24 Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:25 ============ Deu 5:25 Now therefore why should we die? for this great fire will consume us: if we hear the voice of the LORD our God any more, then we shall die.(KJV-1611) Deu 5:25 Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:26 ============ Deu 5:26 For who is there of all flesh, that hath heard the voice of the living God speaking out of the midst of the fire, as we have, and lived?(KJV-1611) Deu 5:26 Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:27 ============ Deu 5:27 Go thou near, and hear all that the LORD our God shall say: and speak thou unto us all that the LORD our God shall speak unto thee; and we will hear it, and do it.(KJV-1611) Deu 5:27 Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l' di nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:28 ============ Deu 5:28 And the LORD heard the voice of your words, when ye spake unto me; and the LORD said unto me, I have heard the voice of the words of this people, which they have spoken unto thee: they have well said all that they have spoken.(KJV-1611) Deu 5:28 Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:29 ============ Deu 5:29 O that there were such an heart in them, that they would fear me, and keep all my commandments always, that it might be well with them, and with their children for ever!(KJV-1611) Deu 5:29 Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:30 ============ Deu 5:30 Go say to them, Get you into your tents again.(KJV-1611) Deu 5:30 Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:31 ============ Deu 5:31 But as for thee, stand thou here by me, and I will speak unto thee all the commandments, and the statutes, and the judgments, which thou shalt teach them, that they may do them in the land which I give them to possess it.(KJV-1611) Deu 5:31 Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:32 ============ Deu 5:32 Ye shall observe to do therefore as the LORD your God hath commanded you: ye shall not turn aside to the right hand or to the left.(KJV-1611) Deu 5:32 Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 5:33 ============ Deu 5:33 Ye shall walk in all the ways which the LORD your God hath commanded you, that ye may live, and that it may be well with you, and that ye may prolong your days in the land which ye shall possess.(KJV-1611) Deu 5:33 N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:1 ============ Deu 6:1 Now these are the commandments, the statutes, and the judgments, which the LORD your God commanded to teach you, that ye might do them in the land whither ye go to possess it:(KJV-1611) Deu 6:1 Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:2 ============ Deu 6:2 That thou mightest fear the LORD thy God, to keep all his statutes and his commandments, which I command thee, thou, and thy son, and thy son's son, all the days of thy life; and that thy days may be prolonged.(KJV-1611) Deu 6:2 Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:3 ============ Deu 6:3 Hear therefore, O Israel, and observe to do it; that it may be well with thee, and that ye may increase mightily, as the LORD God of thy fathers hath promised thee, in the land that floweth with milk and honey.(KJV-1611) Deu 6:3 Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:4 ============ Deu 6:4 Hear, O Israel: The LORD our God is one LORD:(KJV-1611) Deu 6:4 Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:5 ============ Deu 6:5 And thou shalt love the LORD thy God with all thine heart, and with all thy soul, and with all thy might.(KJV-1611) Deu 6:5 Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:6 ============ Deu 6:6 And these words, which I command thee this day, shall be in thine heart:(KJV-1611) Deu 6:6 Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:7 ============ Deu 6:7 And thou shalt teach them diligently unto thy children, and shalt talk of them when thou sittest in thine house, and when thou walkest by the way, and when thou liest down, and when thou risest up.(KJV-1611) Deu 6:7 N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:8 ============ Deu 6:8 And thou shalt bind them for a sign upon thine hand, and they shall be as frontlets between thine eyes.(KJV-1611) Deu 6:8 Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:9 ============ Deu 6:9 And thou shalt write them upon the posts of thy house, and on thy gates.(KJV-1611) Deu 6:9 N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:10 ============ Deu 6:10 And it shall be, when the LORD thy God shall have brought thee into the land which he sware unto thy fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob, to give thee great and goodly cities, which thou buildedst not,(KJV-1611) Deu 6:10 Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:11 ============ Deu 6:11 And houses full of all good things, which thou filledst not, and wells digged, which thou diggedst not, vineyards and olive trees, which thou plantedst not; when thou shalt have eaten and be full;(KJV-1611) Deu 6:11 kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t' fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:12 ============ Deu 6:12 Then beware lest thou forget the LORD, which brought thee forth out of the land of Egypt, from the house of bondage.(KJV-1611) Deu 6:12 fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:13 ============ Deu 6:13 Thou shalt fear the LORD thy God, and serve him, and shalt swear by his name.(KJV-1611) Deu 6:13 Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:14 ============ Deu 6:14 Ye shall not go after other gods, of the gods of the people which are round about you;(KJV-1611) Deu 6:14 Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:15 ============ Deu 6:15 (For the LORD thy God is a jealous God among you) lest the anger of the LORD thy God be kindled against thee, and destroy thee from off the face of the earth.(KJV-1611) Deu 6:15 Paske Seyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:16 ============ Deu 6:16 Ye shall not tempt the LORD your God, as ye tempted him in Massah.(KJV-1611) Deu 6:16 Piga nou sonde Seyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l' bò Masa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:17 ============ Deu 6:17 Ye shall diligently keep the commandments of the LORD your God, and his testimonies, and his statutes, which he hath commanded thee.(KJV-1611) Deu 6:17 Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:18 ============ Deu 6:18 And thou shalt do that which is right and good in the sight of the LORD: that it may be well with thee, and that thou mayest go in and possess the good land which the LORD sware unto thy fathers.(KJV-1611) Deu 6:18 N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:19 ============ Deu 6:19 To cast out all thine enemies from before thee, as the LORD hath spoken.(KJV-1611) Deu 6:19 pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:20 ============ Deu 6:20 And when thy son asketh thee in time to come, saying, What mean the testimonies, and the statutes, and the judgments, which the LORD our God hath commanded you?(KJV-1611) Deu 6:20 Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:21 ============ Deu 6:21 Then thou shalt say unto thy son, We were Pharaoh's bondmen in Egypt; and the LORD brought us out of Egypt with a mighty hand:(KJV-1611) Deu 6:21 lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:22 ============ Deu 6:22 And the LORD shewed signs and wonders, great and sore, upon Egypt, upon Pharaoh, and upon all his household, before our eyes:(KJV-1611) Deu 6:22 Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:23 ============ Deu 6:23 And he brought us out from thence, that he might bring us in, to give us the land which he sware unto our fathers.(KJV-1611) Deu 6:23 Men nou menm, li fè nou soti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:24 ============ Deu 6:24 And the LORD commanded us to do all these statutes, to fear the LORD our God, for our good always, that he might preserve us alive, as it is at this day.(KJV-1611) Deu 6:24 Apre sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 6:25 ============ Deu 6:25 And it shall be our righteousness, if we observe to do all these commandments before the LORD our God, as he hath commanded us.(KJV-1611) Deu 6:25 Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:1 ============ Deu 7:1 When the LORD thy God shall bring thee into the land whither thou goest to possess it, and hath cast out many nations before thee, the Hittites, and the Girgashites, and the Amorites, and the Canaanites, and the Perizzites, and the Hivites, and the Jebusites, seven nations greater and mightier than thou;(KJV-1611) Deu 7:1 Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:2 ============ Deu 7:2 And when the LORD thy God shall deliver them before thee; thou shalt smite them, and utterly destroy them; thou shalt make no covenant with them, nor shew mercy unto them:(KJV-1611) Deu 7:2 Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:3 ============ Deu 7:3 Neither shalt thou make marriages with them; thy daughter thou shalt not give unto his son, nor his daughter shalt thou take unto thy son.(KJV-1611) Deu 7:3 Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:4 ============ Deu 7:4 For they will turn away thy son from following me, that they may serve other gods: so will the anger of the LORD be kindled against you, and destroy thee suddenly.(KJV-1611) Deu 7:4 Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:5 ============ Deu 7:5 But thus shall ye deal with them; ye shall destroy their altars, and break down their images, and cut down their groves, and burn their graven images with fire.(KJV-1611) Deu 7:5 Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:6 ============ Deu 7:6 For thou art an holy people unto the LORD thy God: the LORD thy God hath chosen thee to be a special people unto himself, above all people that are upon the face of the earth.(KJV-1611) Deu 7:6 N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:7 ============ Deu 7:7 The LORD did not set his love upon you, nor choose you, because ye were more in number than any people; for ye were the fewest of all people:(KJV-1611) Deu 7:7 Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:8 ============ Deu 7:8 But because the LORD loved you, and because he would keep the oath which he had sworn unto your fathers, hath the LORD brought you out with a mighty hand, and redeemed you out of the house of bondmen, from the hand of Pharaoh king of Egypt.(KJV-1611) Deu 7:8 Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:9 ============ Deu 7:9 Know therefore that the LORD thy God, he is God, the faithful God, which keepeth covenant and mercy with them that love him and keep his commandments to a thousand generations;(KJV-1611) Deu 7:9 Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:10 ============ Deu 7:10 And repayeth them that hate him to their face, to destroy them: he will not be slack to him that hateth him, he will repay him to his face.(KJV-1611) Deu 7:10 Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:11 ============ Deu 7:11 Thou shalt therefore keep the commandments, and the statutes, and the judgments, which I command thee this day, to do them.(KJV-1611) Deu 7:11 Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:12 ============ Deu 7:12 Wherefore it shall come to pass, if ye hearken to these judgments, and keep, and do them, that the LORD thy God shall keep unto thee the covenant and the mercy which he sware unto thy fathers:(KJV-1611) Deu 7:12 Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:13 ============ Deu 7:13 And he will love thee, and bless thee, and multiply thee: he will also bless the fruit of thy womb, and the fruit of thy land, thy corn, and thy wine, and thine oil, the increase of thy kine, and the flocks of thy sheep, in the land which he sware unto thy fathers to give thee.(KJV-1611) Deu 7:13 L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:14 ============ Deu 7:14 Thou shalt be blessed above all people: there shall not be male or female barren among you, or among your cattle.(KJV-1611) Deu 7:14 Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:15 ============ Deu 7:15 And the LORD will take away from thee all sickness, and will put none of the evil diseases of Egypt, which thou knowest, upon thee; but will lay them upon all them that hate thee.(KJV-1611) Deu 7:15 Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:16 ============ Deu 7:16 And thou shalt consume all the people which the LORD thy God shall deliver thee; thine eye shall have no pity upon them: neither shalt thou serve their gods; for that will be a snare unto thee.(KJV-1611) Deu 7:16 Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:17 ============ Deu 7:17 If thou shalt say in thine heart, These nations are more than I; how can I dispossess them?(KJV-1611) Deu 7:17 Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:18 ============ Deu 7:18 Thou shalt not be afraid of them: but shalt well remember what the LORD thy God did unto Pharaoh, and unto all Egypt;(KJV-1611) Deu 7:18 Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:19 ============ Deu 7:19 The great temptations which thine eyes saw, and the signs, and the wonders, and the mighty hand, and the stretched out arm, whereby the LORD thy God brought thee out: so shall the LORD thy God do unto all the people of whom thou art afraid.(KJV-1611) Deu 7:19 Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:20 ============ Deu 7:20 Moreover the LORD thy God will send the hornet among them, until they that are left, and hide themselves from thee, be destroyed.(KJV-1611) Deu 7:20 Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:21 ============ Deu 7:21 Thou shalt not be affrighted at them: for the LORD thy God is among you, a mighty God and terrible.(KJV-1611) Deu 7:21 Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:22 ============ Deu 7:22 And the LORD thy God will put out those nations before thee by little and little: thou mayest not consume them at once, lest the beasts of the field increase upon thee.(KJV-1611) Deu 7:22 Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:23 ============ Deu 7:23 But the LORD thy God shall deliver them unto thee, and shall destroy them with a mighty destruction, until they be destroyed.(KJV-1611) Deu 7:23 Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:24 ============ Deu 7:24 And he shall deliver their kings into thine hand, and thou shalt destroy their name from under heaven: there shall no man be able to stand before thee, until thou have destroyed them.(KJV-1611) Deu 7:24 Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:25 ============ Deu 7:25 The graven images of their gods shall ye burn with fire: thou shalt not desire the silver or gold that is on them, nor take it unto thee, lest thou be snared therin: for it is an abomination to the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 7:25 N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 7:26 ============ Deu 7:26 Neither shalt thou bring an abomination into thine house, lest thou be a cursed thing like it: but thou shalt utterly detest it, and thou shalt utterly abhor it; for it is a cursed thing.(KJV-1611) Deu 7:26 Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:1 ============ Deu 8:1 All the commandments which I command thee this day shall ye observe to do, that ye may live, and multiply, and go in and possess the land which the LORD sware unto your fathers.(KJV-1611) Deu 8:1 Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:2 ============ Deu 8:2 And thou shalt remember all the way which the LORD thy God led thee these forty years in the wilderness, to humble thee, and to prove thee, to know what was in thine heart, whether thou wouldest keep his commandments, or no.(KJV-1611) Deu 8:2 Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:3 ============ Deu 8:3 And he humbled thee, and suffered thee to hunger, and fed thee with manna, which thou knewest not, neither did thy fathers know; that he might make thee know that man doth not live by bread only, but by every word that proceedeth out of the mouth of the LORD doth man live.(KJV-1611) Deu 8:3 Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:4 ============ Deu 8:4 Thy raiment waxed not old upon thee, neither did thy foot swell, these forty years.(KJV-1611) Deu 8:4 Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:5 ============ Deu 8:5 Thou shalt also consider in thine heart, that, as a man chasteneth his son, so the LORD thy God chasteneth thee.(KJV-1611) Deu 8:5 Se pou nou manyè konprann koulye a, Seyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:6 ============ Deu 8:6 Therefore thou shalt keep the commandments of the LORD thy God, to walk in his ways, and to fear him.(KJV-1611) Deu 8:6 Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:7 ============ Deu 8:7 For the LORD thy God bringeth thee into a good land, a land of brooks of water, of fountains and depths that spring out of valleys and hills;(KJV-1611) Deu 8:7 Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:8 ============ Deu 8:8 A land of wheat, and barley, and vines, and fig trees, and pomegranates; a land of oil olive, and honey;(KJV-1611) Deu 8:8 yon peyi kote ki gen ble, lòj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myèl,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:9 ============ Deu 8:9 A land wherein thou shalt eat bread without scarceness, thou shalt not lack any thing in it; a land whose stones are iron, and out of whose hills thou mayest dig brass.(KJV-1611) Deu 8:9 yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:10 ============ Deu 8:10 When thou hast eaten and art full, then thou shalt bless the LORD thy God for the good land which he hath given thee.(KJV-1611) Deu 8:10 Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:11 ============ Deu 8:11 Beware that thou forget not the LORD thy God, in not keeping his commandments, and his judgments, and his statutes, which I command thee this day:(KJV-1611) Deu 8:11 Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:12 ============ Deu 8:12 Lest when thou hast eaten and art full, and hast built goodly houses, and dwelt therein;(KJV-1611) Deu 8:12 Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:13 ============ Deu 8:13 And when thy herds and thy flocks multiply, and thy silver and thy gold is multiplied, and all that thou hast is multiplied;(KJV-1611) Deu 8:13 lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:14 ============ Deu 8:14 Then thine heart be lifted up, and thou forget the LORD thy God, which brought thee forth out of the land of Egypt, from the house of bondage;(KJV-1611) Deu 8:14 pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:15 ============ Deu 8:15 Who led thee through that great and terrible wilderness, wherein were fiery serpents, and scorpions, and drought, where there was no water; who brought thee forth water out of the rock of flint;(KJV-1611) Deu 8:15 Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:16 ============ Deu 8:16 Who fed thee in the wilderness with manna, which thy fathers knew not, that he might humble thee, and that he might prove thee, to do thee good at thy latter end;(KJV-1611) Deu 8:16 Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:17 ============ Deu 8:17 And thou say in thine heart, My power and the might of mine hand hath gotten me this wealth.(KJV-1611) Deu 8:17 Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:18 ============ Deu 8:18 But thou shalt remember the LORD thy God: for it is he that giveth thee power to get wealth, that he may establish his covenant which he sware unto thy fathers, as it is this day.(KJV-1611) Deu 8:18 Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:19 ============ Deu 8:19 And it shall be, if thou do at all forget the LORD thy God, and walk after other gods, and serve them, and worship them, I testify against you this day that ye shall surely perish.(KJV-1611) Deu 8:19 Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 8:20 ============ Deu 8:20 As the nations which the LORD destroyeth before your face, so shall ye perish; because ye would not be obedient unto the voice of the LORD your God.(KJV-1611) Deu 8:20 Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:1 ============ Deu 9:1 Hear, O Israel: Thou art to pass over Jordan this day, to go in to possess nations greater and mightier than thyself, cities great and fenced up to heaven,(KJV-1611) Deu 9:1 Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Lè a rive, jòdi a nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al anvayi peyi ki pou nasyon ki gen plis moun pase nou, nasyon ki pi fò pase nou. Nou pral pran yon bann gwo lavil ki gen ranpa wotè syèl la pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:2 ============ Deu 9:2 A people great and tall, the children of the Anakims, whom thou knowest, and of whom thou hast heard say, Who can stand before the children of Anak!(KJV-1611) Deu 9:2 Moun peyi a se yon bann moun ki gwonèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:3 ============ Deu 9:3 Understand therefore this day, that the LORD thy God is he which goeth over before thee; as a consuming fire he shall destroy them, and he shall bring them down before thy face: so shalt thou drive them out, and destroy them quickly, as the LORD hath said unto thee.(KJV-1611) Deu 9:3 Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:4 ============ Deu 9:4 Speak not thou in thine heart, after that the LORD thy God hath cast them out from before thee, saying, For my righteousness the LORD hath brought me in to possess this land: but for the wickedness of these nations the LORD doth drive them out from before thee.(KJV-1611) Deu 9:4 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin chase moun sa yo devan nou, piga nou di nan kè nou se paske nou merite kifè Seyè a te fè n' antre pran peyi a pou nou. Non. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a te mete yo deyò ban nou plas yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:5 ============ Deu 9:5 Not for thy righteousness, or for the uprightness of thine heart, dost thou go to possess their land: but for the wickedness of these nations the LORD thy God doth drive them out from before thee, and that he may perform the word which the LORD sware unto thy fathers, Abraham, Isaac, and Jacob.(KJV-1611) Deu 9:5 Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Seyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Seyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l' te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:6 ============ Deu 9:6 Understand therefore, that the LORD thy God giveth thee not this good land to possess it for thy righteousness; for thou art a stiffnecked people.(KJV-1611) Deu 9:6 Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:7 ============ Deu 9:7 Remember, and forget not, how thou provokedst the LORD thy God to wrath in the wilderness: from the day that thou didst depart out of the land of Egypt, until ye came unto this place, ye have been rebellious against the LORD.(KJV-1611) Deu 9:7 Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:8 ============ Deu 9:8 Also in Horeb ye provoked the LORD to wrath, so that the LORD was angry with you to have destroyed you.(KJV-1611) Deu 9:8 Lè nou te sou mòn Orèb la, nou te eksite kòlè Seyè a. Li te sitèlman fache lè sa a, li te fè lide detwi nou tout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:9 ============ Deu 9:9 When I was gone up into the mount to receive the tables of stone, even the tables of the covenant which the LORD made with you, then I abode in the mount forty days and forty nights, I neither did eat bread nor drink water:(KJV-1611) Deu 9:9 Mwen te moute sou mòn lan pou m' te al resevwa de wòch plat yo, wòch ki te gen kontra Seyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou, karant nwit, san manje, san bwè anyen sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:10 ============ Deu 9:10 And the LORD delivered unto me two tables of stone written with the finger of God; and on them was written according to all the words, which the LORD spake with you in the mount out of the midst of the fire in the day of the assembly.(KJV-1611) Deu 9:10 Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:11 ============ Deu 9:11 And it came to pass at the end of forty days and forty nights, that the LORD gave me the two tables of stone, even the tables of the covenant.(KJV-1611) Deu 9:11 Wi, apre karant jou ak karant nwit, Seyè a ban mwen de wòch plat yo avèk kontra a ekri sou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:12 ============ Deu 9:12 And the LORD said unto me, Arise, get thee down quickly from hence; for thy people which thou hast brought forth out of Egypt have corrupted themselves; they are quickly turned aside out of the way which I commanded them; they have made them a molten image.(KJV-1611) Deu 9:12 Epi li di m' konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kò l' nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:13 ============ Deu 9:13 Furthermore the LORD spake unto me, saying, I have seen this people, and, behold, it is a stiffnecked people:(KJV-1611) Deu 9:13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:14 ============ Deu 9:14 Let me alone, that I may destroy them, and blot out their name from under heaven: and I will make of thee a nation mightier and greater than they.(KJV-1611) Deu 9:14 Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:15 ============ Deu 9:15 So I turned and came down from the mount, and the mount burned with fire: and the two tables of the covenant were in my two hands.(KJV-1611) Deu 9:15 Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:16 ============ Deu 9:16 And I looked, and, behold, ye had sinned against the LORD your God, and had made you a molten calf: ye had turned aside quickly out of the way which the LORD had commanded you.(KJV-1611) Deu 9:16 Lè mwen wè nou te gen tan dezobeyi Seyè a, Bondye nou an, nou te gen tan kite chemen Seyè a te mete devan nou, nou te fonn metal, nou te fè estati yon ti towo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:17 ============ Deu 9:17 And I took the two tables, and cast them out of my two hands, and brake them before your eyes.(KJV-1611) Deu 9:17 mwen pran de wòch plat ki te nan men m' yo, mwen voye yo jete, mwen kraze yo devan nou tout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:18 ============ Deu 9:18 And I fell down before the LORD, as at the first, forty days and forty nights: I did neither eat bread, nor drink water, because of all your sins which ye sinned, in doing wickedly in the sight of the LORD, to provoke him to anger.(KJV-1611) Deu 9:18 Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:19 ============ Deu 9:19 For I was afraid of the anger and hot displeasure, wherewith the LORD was wroth against you to destroy you. But the LORD hearkened unto me at that time also.(KJV-1611) Deu 9:19 Mwen menm, mwen te pè anpil lè m' wè jan Seyè a te fache, paske li te fache kont pou l' te disparèt nou nèt. Men, fwa sa a ankò, Seyè a koute m'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:20 ============ Deu 9:20 And the LORD was very angry with Aaron to have destroyed him: and I prayed for Aaron also the same time.(KJV-1611) Deu 9:20 Lè sa a, li te fache anpil tou sou Arawon jouk li te vle touye l'. Men, mwen te lapriyè nan pye l' pou Arawon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:21 ============ Deu 9:21 And I took your sin, the calf which ye had made, and burnt it with fire, and stamped it, and ground it very small, even until it was as small as dust: and I cast the dust thereof into the brook that descended out of the mount.(KJV-1611) Deu 9:21 Mwen te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete l' nan dife. Mwen mete l' nan yon pilon, mwen kraze l' an myèt moso, mwen fè l' tounen pousyè. Lèfini, mwen te jete pousyè a nan dlo larivyè ki desann soti nan mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:22 ============ Deu 9:22 And at Taberah, and at Massah, and at Kibrothhattaavah, ye provoked the LORD to wrath.(KJV-1611) Deu 9:22 Nou te eksite kòlè Seyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:23 ============ Deu 9:23 Likewise when the LORD sent you from Kadeshbarnea, saying, Go up and possess the land which I have given you; then ye rebelled against the commandment of the LORD your God, and ye believed him not, nor hearkened to his voice.(KJV-1611) Deu 9:23 Le Seyè a te ban nou lòd pati kite Kadès-Banea pou n' al pran pou nou peyi li te di l'ap ban nou an, nou t'ap fè wòklò ak Seyè a, Bondye nou an. Nou pa t' kwè nan li, nou te derefize tande l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:24 ============ Deu 9:24 Ye have been rebellious against the LORD from the day that I knew you.(KJV-1611) Deu 9:24 Depi mwen konnen nou, se wòklò n'ap plede fè ak Bondye!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:25 ============ Deu 9:25 Thus I fell down before the LORD forty days and forty nights, as I fell down at the first; because the LORD had said he would destroy you.(KJV-1611) Deu 9:25 Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:26 ============ Deu 9:26 I prayed therefore unto the LORD, and said, O Lord GOD, destroy not thy people and thine inheritance, which thou hast redeemed through thy greatness, which thou hast brought forth out of Egypt with a mighty hand.(KJV-1611) Deu 9:26 mwen te lapriyè Seyè a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:27 ============ Deu 9:27 Remember thy servants, Abraham, Isaac, and Jacob; look not unto the stubbornness of this people, nor to their wickedness, nor to their sin:(KJV-1611) Deu 9:27 Chonje sèvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb! Pa gade sou tèt di pèp la, ni sou mechanste ak sou peche l'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:28 ============ Deu 9:28 Lest the land whence thou broughtest us out say, Because the LORD was not able to bring them into the land which he promised them, and because he hated them, he hath brought them out to slay them in the wilderness.(KJV-1611) Deu 9:28 Mwen pa ta vle pou nan peyi kote ou fè nou soti a moun yo ta di: Wi, Seyè a pa t' ka mennen yo nan peyi li te pwomèt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifè li fè yo soti kite peyi Lejip la pou l' touye yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 9:29 ============ Deu 9:29 Yet they are thy people and thine inheritance, which thou broughtest out by thy mighty power and by thy stretched out arm.(KJV-1611) Deu 9:29 Men, se pèp ou yo ye! Yo rele ou pa ou! Se avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou ou te fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:1 ============ Deu 10:1 At that time the LORD said unto me, Hew thee two tables of stone like unto the first, and come up unto me into the mount, and make thee an ark of wood.(KJV-1611) Deu 10:1 Apre sa, Seyè a te di m': Taye de wòch plat tankou de premye yo. Fè yon bwat an bwa, mete yo ladan l'. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:2 ============ Deu 10:2 And I will write on the tables the words that were in the first tables which thou brakest, and thou shalt put them in the ark.(KJV-1611) Deu 10:2 Mwen pral ekri sou wòch yo tou sa mwen te ekri sou wòch plat ou te kraze yo. Lèfini, w'a mete yo nan bwat la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:3 ============ Deu 10:3 And I made an ark of shittim wood, and hewed two tables of stone like unto the first, and went up into the mount, having the two tables in mine hand.(KJV-1611) Deu 10:3 Se konsa, mwen fè yon bwat an bwa zakasya, mwen taye de wòch plat tankou de premye yo, epi mwen moute sou mòn lan ak wòch yo nan men m'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:4 ============ Deu 10:4 And he wrote on the tables, according to the first writing, the ten commandments, which the LORD spake unto you in the mount out of the midst of the fire in the day of the assembly: and the LORD gave them unto me.(KJV-1611) Deu 10:4 Seyè a make sou wòch yo dis pawòl li te ekri premye fwa a, dis kòmandman Seyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa li ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:5 ============ Deu 10:5 And I turned myself and came down from the mount, and put the tables in the ark which I had made; and there they be, as the LORD commanded me.(KJV-1611) Deu 10:5 Mwen desann soti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Seyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:6 ============ Deu 10:6 And the children of Israel took their journey from Beeroth of the children of Jaakan to Mosera: there Aaron died, and there he was buried; and Eleazar his son ministered in the priest's office in his stead.(KJV-1611) Deu 10:6 Moun pèp Izrayèl yo kite pi Benèy-Jakan yo, yo pati pou Mosera. Se la Arawon te mouri. Se la tou yo antere l'. Se Eleaza, pitit li a, yo te mete prèt nan plas li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:7 ============ Deu 10:7 From thence they journeyed unto Gudgodah; and from Gudgodah to Jotbath, a land of rivers of waters.(KJV-1611) Deu 10:7 Yo kite kote yo te ye a, yo pati pou Goud Goda, epi yo rive Jobata, yon kote ki te gen anpil dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:8 ============ Deu 10:8 At that time the LORD separated the tribe of Levi, to bear the ark of the covenant of the LORD, to stand before the LORD to minister unto him, and to bless in his name, unto this day.(KJV-1611) Deu 10:8 Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:9 ============ Deu 10:9 Wherefore Levi hath no part nor inheritance with his brethren; the LORD is his inheritance, according as the LORD thy God promised him.(KJV-1611) Deu 10:9 Se poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Seyè a ki tout byen yo, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:10 ============ Deu 10:10 And I stayed in the mount, according to the first time, forty days and forty nights; and the LORD hearkened unto me at that time also, and the LORD would not destroy thee.(KJV-1611) Deu 10:10 Mwen menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mòn lan, jan mwen te fè l' premye fwa a. Fwa sa a ankò, Seyè a koute m', li te dakò pou l' pa detwi nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:11 ============ Deu 10:11 And the LORD said unto me, Arise, take thy journey before the people, that they may go in and possess the land, which I sware unto their fathers to give unto them.(KJV-1611) Deu 10:11 Lè sa a, li di m' konsa: Leve non. Pati, pran devan pèp la. Mennen yo al pran pou yo peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:12 ============ Deu 10:12 And now, Israel, what doth the LORD thy God require of thee, but to fear the LORD thy God, to walk in all his ways, and to love him, and to serve the LORD thy God with all thy heart and with all thy soul,(KJV-1611) Deu 10:12 Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:13 ============ Deu 10:13 To keep the commandments of the LORD, and his statutes, which I command thee this day for thy good?(KJV-1611) Deu 10:13 Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:14 ============ Deu 10:14 Behold, the heaven and the heaven of heavens is the LORD's thy God, the earth also, with all that therein is.(KJV-1611) Deu 10:14 Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:15 ============ Deu 10:15 Only the LORD had a delight in thy fathers to love them, and he chose their seed after them, even you above all people, as it is this day.(KJV-1611) Deu 10:15 Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:16 ============ Deu 10:16 Circumcise therefore the foreskin of your heart, and be no more stiffnecked.(KJV-1611) Deu 10:16 Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Seyè a. Sispann fè wòklò ak li,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:17 ============ Deu 10:17 For the LORD your God is God of gods, and Lord of lords, a great God, a mighty, and a terrible, which regardeth not persons, nor taketh reward:(KJV-1611) Deu 10:17 paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:18 ============ Deu 10:18 He doth execute the judgment of the fatherless and widow, and loveth the stranger, in giving him food and raiment.(KJV-1611) Deu 10:18 L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:19 ============ Deu 10:19 Love ye therefore the stranger: for ye were strangers in the land of Egypt.(KJV-1611) Deu 10:19 Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:20 ============ Deu 10:20 Thou shalt fear the LORD thy God; him shalt thou serve, and to him shalt thou cleave, and swear by his name.(KJV-1611) Deu 10:20 Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fè sèman.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:21 ============ Deu 10:21 He is thy praise, and he is thy God, that hath done for thee these great and terrible things, which thine eyes have seen.(KJV-1611) Deu 10:21 N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 10:22 ============ Deu 10:22 Thy fathers went down into Egypt with threescore and ten persons; and now the LORD thy God hath made thee as the stars of heaven for multitude.(KJV-1611) Deu 10:22 Lè zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:1 ============ Deu 11:1 Therefore thou shalt love the LORD thy God, and keep his charge, and his statutes, and his judgments, and his commandments, alway.(KJV-1611) Deu 11:1 Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:2 ============ Deu 11:2 And know ye this day: for I speak not with your children which have not known, and which have not seen the chastisement of the LORD your God, his greatness, his mighty hand, and his stretched out arm,(KJV-1611) Deu 11:2 Se pou nou rekonèt jòdi a tou sa Seyè a te moutre nou. Nou te wè jan li gen pouvwa, jan li gen fòs, jan li gen kouraj. Se nou menm ki te viv tout bagay sa yo, se pa t' pitit nou yo. Yo menm yo pa t' konn anyen, ni yo pa t' wè anyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:3 ============ Deu 11:3 And his miracles, and his acts, which he did in the midst of Egypt unto Pharaoh the king of Egypt, and unto all his land;(KJV-1611) Deu 11:3 Seyè a te fè nou wè mirak ak gwo mèvèy li te fè nan mitan peyi Lejip, pou li te fini ak farawon an ansanm ak tout moun nan peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:4 ============ Deu 11:4 And what he did unto the army of Egypt, unto their horses, and to their chariots; how he made the water of the Red sea to overflow them as they pursued after you, and how the LORD hath destroyed them unto this day;(KJV-1611) Deu 11:4 Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapouswiv nou an. Seyè a te kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:5 ============ Deu 11:5 And what he did unto you in the wilderness, until ye came into this place;(KJV-1611) Deu 11:5 Nou konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:6 ============ Deu 11:6 And what he did unto Dathan and Abiram, the sons of Eliab, the son of Reuben: how the earth opened her mouth, and swallowed them up, and their households, and their tents, and all the substance that was in their possession, in the midst of all Israel:(KJV-1611) Deu 11:6 Chonje sa li te fè Datan ak Abiram, pitit Eliyab, moun fanmi Woubenn yo. Tè a te fann, li vale yo tou vivan ansanm ak tout fanmi yo, tout tant yo ak tout moun ki te avèk yo, devan je tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:7 ============ Deu 11:7 But your eyes have seen all the great acts of the LORD which he did.(KJV-1611) Deu 11:7 Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:8 ============ Deu 11:8 Therefore shall ye keep all the commandments which I command you this day, that ye may be strong, and go in and possess the land, whither ye go to possess it;(KJV-1611) Deu 11:8 Se pou nou mache dapre lòd m'ap ban nou jòdi a, pou nou ka vin fò, pou nou ka pran peyi nou pral anvayi a pou nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:9 ============ Deu 11:9 And that ye may prolong your days in the land, which the LORD sware unto your fathers to give unto them and to their seed, a land that floweth with milk and honey.(KJV-1611) Deu 11:9 pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo pou yo menm ak tout ras yo, nan peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:10 ============ Deu 11:10 For the land, whither thou goest in to possess it, is not as the land of Egypt, from whence ye came out, where thou sowedst thy seed, and wateredst it with thy foot, as a garden of herbs:(KJV-1611) Deu 11:10 Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an pa yon peyi ki tankou peyi Lejip kote nou soti a, yon peyi kote se nou menm ki te blije simen grenn nan jaden nou, lèfini pou nou te travay di pou nou wouze yo tankou yo wouze jaden legim.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:11 ============ Deu 11:11 But the land, whither ye go to possess it, is a land of hills and valleys, and drinketh water of the rain of heaven:(KJV-1611) Deu 11:11 Non! Peyi nou pral anvayi pou nou pran pou nou an, se yon peyi ki gen anpil mòn ak anpil fon, yon peyi lapli soti nan syèl wouze tout tan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:12 ============ Deu 11:12 A land which the LORD thy God careth for: the eyes of the LORD thy God are always upon it, from the beginning of the year even unto the end of the year.(KJV-1611) Deu 11:12 Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:13 ============ Deu 11:13 And it shall come to pass, if ye shall hearken diligently unto my commandments which I command you this day, to love the LORD your God, and to serve him with all your heart and with all your soul,(KJV-1611) Deu 11:13 Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:14 ============ Deu 11:14 That I will give you the rain of your land in his due season, the first rain and the latter rain, that thou mayest gather in thy corn, and thy wine, and thine oil.(KJV-1611) Deu 11:14 m'a voye lapli sou tè nou lè n'a bezwen l', m'a bay lapli nan sezon plante ak nan sezon rekòt pou nou ka gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:15 ============ Deu 11:15 And I will send grass in thy fields for thy cattle, that thou mayest eat and be full.(KJV-1611) Deu 11:15 M'a fè anpil zèb pouse nan savann nou yo pou bèt nou manje. Konsa, n'a jwenn manje pou nou manje plen vant nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:16 ============ Deu 11:16 Take heed to yourselves, that your heart be not deceived, and ye turn aside, and serve other gods, and worship them;(KJV-1611) Deu 11:16 Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:17 ============ Deu 11:17 And then the LORD's wrath be kindled against you, and he shut up the heaven, that there be no rain, and that the land yield not her fruit; and lest ye perish quickly from off the good land which the LORD giveth you.(KJV-1611) Deu 11:17 Si nou kite sa rive nou, Seyè a va fache anpil sou nou, li p'ap voye lapli. Si pa gen lapli, tè a p'ap bay sa pou l' te bay la. Nou tout n'ap mouri byen vit nan bon peyi Seyè a ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:18 ============ Deu 11:18 Therefore shall ye lay up these my words in your heart and in your soul, and bind them for a sign upon your hand, that they may be as frontlets between your eyes.(KJV-1611) Deu 11:18 Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:19 ============ Deu 11:19 And ye shall teach them your children, speaking of them when thou sittest in thine house, and when thou walkest by the way, when thou liest down, and when thou risest up.(KJV-1611) Deu 11:19 N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:20 ============ Deu 11:20 And thou shalt write them upon the door posts of thine house, and upon thy gates:(KJV-1611) Deu 11:20 Ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:21 ============ Deu 11:21 That your days may be multiplied, and the days of your children, in the land which the LORD sware unto your fathers to give them, as the days of heaven upon the earth.(KJV-1611) Deu 11:21 pou nou ka viv lontan, nou menm ansanm ak tout ras nou yo, nan peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo toutotan va gen yon syèl anwo tè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:22 ============ Deu 11:22 For if ye shall diligently keep all these commandments which I command you, to do them, to love the LORD your God, to walk in all his ways, and to cleave unto him;(KJV-1611) Deu 11:22 Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l',(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:23 ============ Deu 11:23 Then will the LORD drive out all these nations from before you, and ye shall possess greater nations and mightier than yourselves.(KJV-1611) Deu 11:23 Seyè a va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:24 ============ Deu 11:24 Every place whereon the soles of your feet shall tread shall be yours: from the wilderness and Lebanon, from the river, the river Euphrates, even unto the uttermost sea shall your coast be.(KJV-1611) Deu 11:24 Tout kote pye nou va pile, se pou nou la ye. N'a gen dezè a pou lizyè sou anba, peyi Liban an sou anwo. N'a gen gwo larivyè Lefrat la yon bò ak lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:25 ============ Deu 11:25 There shall no man be able to stand before you: for the LORD your God shall lay the fear of you and the dread of you upon all the land that ye shall tread upon, as he hath said unto you.(KJV-1611) Deu 11:25 Pesonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Seyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:26 ============ Deu 11:26 Behold, I set before you this day a blessing and a curse;(KJV-1611) Deu 11:26 Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:27 ============ Deu 11:27 A blessing, if ye obey the commandments of the LORD your God, which I command you this day:(KJV-1611) Deu 11:27 Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:28 ============ Deu 11:28 And a curse, if ye will not obey the commandments of the LORD your God, but turn aside out of the way which I command you this day, to go after other gods, which ye have not known.(KJV-1611) Deu 11:28 Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:29 ============ Deu 11:29 And it shall come to pass, when the LORD thy God hath brought thee in unto the land whither thou goest to possess it, that thou shalt put the blessing upon mount Gerizim, and the curse upon mount Ebal.(KJV-1611) Deu 11:29 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an, n'a mete benediksyon an sou mòn Garizim, n'a mete madichon an sou mòn Ebal.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:30 ============ Deu 11:30 Are they not on the other side Jordan, by the way where the sun goeth down, in the land of the Canaanites, which dwell in the champaign over against Gilgal, beside the plains of Moreh?(KJV-1611) Deu 11:30 Mòn sa yo lòt bò larivyè Jouden, nan direksyon solèy kouche, nan peyi moun Kanaran yo ki rete nan plenn Araba a, anfas Gilga, toupre pye chenn More a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:31 ============ Deu 11:31 For ye shall pass over Jordan to go in to possess the land which the LORD your God giveth you, and ye shall possess it, and dwell therein.(KJV-1611) Deu 11:31 Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 11:32 ============ Deu 11:32 And ye shall observe to do all the statutes and judgments which I set before you this day.(KJV-1611) Deu 11:32 N'a fè atansyon pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen mete devan nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:1 ============ Deu 12:1 These are the statutes and judgments, which ye shall observe to do in the land, which the LORD God of thy fathers giveth thee to possess it, all the days that ye live upon the earth.(KJV-1611) Deu 12:1 Men lòd ak kòmandman pou nou swiv pandan tout tan nou gen pou nou viv nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou pou nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:2 ============ Deu 12:2 Ye shall utterly destroy all the places, wherein the nations which ye shall possess served their gods, upon the high mountains, and upon the hills, and under every green tree:(KJV-1611) Deu 12:2 Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:3 ============ Deu 12:3 And ye shall overthrow their altars, and break their pillars, and burn their groves with fire; and ye shall hew down the graven images of their gods, and destroy the names of them out of that place.(KJV-1611) Deu 12:3 Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:4 ============ Deu 12:4 Ye shall not do so unto the LORD your God.(KJV-1611) Deu 12:4 Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:5 ============ Deu 12:5 But unto the place which the LORD your God shall choose out of all your tribes to put his name there, even unto his habitation shall ye seek, and thither thou shalt come:(KJV-1611) Deu 12:5 Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:6 ============ Deu 12:6 And thither ye shall bring your burnt offerings, and your sacrifices, and your tithes, and heave offerings of your hand, and your vows, and your freewill offerings, and the firstlings of your herds and of your flocks:(KJV-1611) Deu 12:6 Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:7 ============ Deu 12:7 And there ye shall eat before the LORD your God, and ye shall rejoice in all that ye put your hand unto, ye and your households, wherein the LORD thy God hath blessed thee.(KJV-1611) Deu 12:7 Se la, devan Seyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Seyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:8 ============ Deu 12:8 Ye shall not do after all the things that we do here this day, every man whatsoever is right in his own eyes.(KJV-1611) Deu 12:8 Lè sa a, nou p'ap gen dwa fè sa n'ap fè koulye a kote chak moun ap fè sa yo pi pito,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:9 ============ Deu 12:9 For ye are not as yet come to the rest and to the inheritance, which the LORD your God giveth you.(KJV-1611) Deu 12:9 paske nou poko antre nan peyi Seyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:10 ============ Deu 12:10 But when ye go over Jordan, and dwell in the land which the LORD your God giveth you to inherit, and when he giveth you rest from all your enemies round about, so that ye dwell in safety;(KJV-1611) Deu 12:10 Men, yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al rete nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:11 ============ Deu 12:11 Then there shall be a place which the LORD your God shall choose to cause his name to dwell there; thither shall ye bring all that I command you; your burnt offerings, and your sacrifices, your tithes, and the heave offering of your hand, and all your choice vows which ye vow unto the LORD:(KJV-1611) Deu 12:11 Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:12 ============ Deu 12:12 And ye shall rejoice before the LORD your God, ye, and your sons, and your daughters, and your menservants, and your maidservants, and the Levite that is within your gates; forasmuch as he hath no part nor inheritance with you.(KJV-1611) Deu 12:12 Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:13 ============ Deu 12:13 Take heed to thyself that thou offer not thy burnt offerings in every place that thou seest:(KJV-1611) Deu 12:13 Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:14 ============ Deu 12:14 But in the place which the LORD shall choose in one of thy tribes, there thou shalt offer thy burnt offerings, and there thou shalt do all that I command thee.(KJV-1611) Deu 12:14 Seyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Seyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:15 ============ Deu 12:15 Notwithstanding thou mayest kill and eat flesh in all thy gates, whatsoever thy soul lusteth after, according to the blessing of the LORD thy God which he hath given thee: the unclean and the clean may eat thereof, as of the roebuck, and as of the hart.(KJV-1611) Deu 12:15 Men, nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Seyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gen dwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:16 ============ Deu 12:16 Only ye shall not eat the blood; ye shall pour it upon the earth as water.(KJV-1611) Deu 12:16 Men, piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:17 ============ Deu 12:17 Thou mayest not eat within thy gates the tithe of thy corn, or of thy wine, or of thy oil, or the firstlings of thy herds or of thy flock, nor any of thy vows which thou vowest, nor thy freewill offerings, or heave offering of thine hand:(KJV-1611) Deu 12:17 Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:18 ============ Deu 12:18 But thou must eat them before the LORD thy God in the place which the LORD thy God shall choose, thou, and thy son, and thy daughter, and thy manservant, and thy maidservant, and the Levite that is within thy gates: and thou shalt rejoice before the LORD thy God in all that thou puttest thine hands unto.(KJV-1611) Deu 12:18 Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:19 ============ Deu 12:19 Take heed to thyself that thou forsake not the Levite as long as thou livest upon the earth.(KJV-1611) Deu 12:19 Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:20 ============ Deu 12:20 When the LORD thy God shall enlarge thy border, as he hath promised thee, and thou shalt say, I will eat flesh, because thy soul longeth to eat flesh; thou mayest eat flesh, whatsoever thy soul lusteth after.(KJV-1611) Deu 12:20 Lè Seyè a, Bondye nou an, va mete sou tè nou deja genyen an jan li te pwomèt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mèt manje vyann lè nou vle, kantite nou vle.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:21 ============ Deu 12:21 If the place which the LORD thy God hath chosen to put his name there be too far from thee, then thou shalt kill of thy herd and of thy flock, which the LORD hath given thee, as I have commanded thee, and thou shalt eat in thy gates whatsoever thy soul lusteth after.(KJV-1611) Deu 12:21 Lè kote Seyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bèf, kabrit ak mouton Seyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:22 ============ Deu 12:22 Even as the roebuck and the hart is eaten, so thou shalt eat them: the unclean and the clean shall eat of them alike.(KJV-1611) Deu 12:22 Tout moun, kit yo nan kondisyon kit yo pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, tout moun va gen dwa manje nan vyann sa a, tankou yo gen dwa manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:23 ============ Deu 12:23 Only be sure that thou eat not the blood: for the blood is the life; and thou mayest not eat the life with the flesh.(KJV-1611) Deu 12:23 Tansèlman, piga nou janm manje san an, paske san an se nanm bèt la li ye. Piga nou janm manje vyann lan ansanm ak nanm lan ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:24 ============ Deu 12:24 Thou shalt not eat it; thou shalt pour it upon the earth as water.(KJV-1611) Deu 12:24 Piga nou janm manje san an. N'a vide l' atè tankou dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:25 ============ Deu 12:25 Thou shalt not eat it; that it may go well with thee, and with thy children after thee, when thou shalt do that which is right in the sight of the LORD.(KJV-1611) Deu 12:25 Si nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fè sa ki fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:26 ============ Deu 12:26 Only thy holy things which thou hast, and thy vows, thou shalt take, and go unto the place which the LORD shall choose:(KJV-1611) Deu 12:26 Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Seyè a, n'a pote yo kote Seyè a te chwazi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:27 ============ Deu 12:27 And thou shalt offer thy burnt offerings, the flesh and the blood, upon the altar of the LORD thy God: and the blood of thy sacrifices shall be poured out upon the altar of the LORD thy God, and thou shalt eat the flesh.(KJV-1611) Deu 12:27 Se la n'a ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a sou lòtèl Seyè a. Se la n'a vide san lòt bèt n'ap ofri sou lòtèl Seyè a, epi se la n'a manje vyann lan tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:28 ============ Deu 12:28 Observe and hear all these words which I command thee, that it may go well with thee, and with thy children after thee for ever, when thou doest that which is good and right in the sight of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 12:28 Se pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:29 ============ Deu 12:29 When the LORD thy God shall cut off the nations from before thee, whither thou goest to possess them, and thou succeedest them, and dwellest in their land;(KJV-1611) Deu 12:29 Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin disparèt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lè n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l',(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:30 ============ Deu 12:30 Take heed to thyself that thou be not snared by following them, after that they be destroyed from before thee; and that thou enquire not after their gods, saying, How did these nations serve their gods? even so will I do likewise.(KJV-1611) Deu 12:30 atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:31 ============ Deu 12:31 Thou shalt not do so unto the LORD thy God: for every abomination to the LORD, which he hateth, have they done unto their gods; for even their sons and their daughters they have burnt in the fire to their gods.(KJV-1611) Deu 12:31 Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 12:32 ============ Deu 12:32 What thing soever I command you, observe to do it: thou shalt not add thereto, nor diminish from it.(KJV-1611) Deu 12:32 Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:1 ============ Deu 13:1 If there arise among you a prophet, or a dreamer of dreams, and giveth thee a sign or a wonder,(KJV-1611) Deu 13:1 Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:2 ============ Deu 13:2 And the sign or the wonder come to pass, whereof he spake unto thee, saying, Let us go after other gods, which thou hast not known, and let us serve them;(KJV-1611) Deu 13:2 si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:3 ============ Deu 13:3 Thou shalt not hearken unto the words of that prophet, or that dreamer of dreams: for the LORD your God proveth you, to know whether ye love the LORD your God with all your heart and with all your soul.(KJV-1611) Deu 13:3 nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:4 ============ Deu 13:4 Ye shall walk after the LORD your God, and fear him, and keep his commandments, and obey his voice, and ye shall serve him, and cleave unto him.(KJV-1611) Deu 13:4 Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:5 ============ Deu 13:5 And that prophet, or that dreamer of dreams, shall be put to death; because he hath spoken to turn you away from the LORD your God, which brought you out of the land of Egypt, and redeemed you out of the house of bondage, to thrust thee out of the way which the LORD thy God commanded thee to walk in. So shalt thou put the evil away from the midst of thee.(KJV-1611) Deu 13:5 Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:6 ============ Deu 13:6 If thy brother, the son of thy mother, or thy son, or thy daughter, or the wife of thy bosom, or thy friend, which is as thine own soul, entice thee secretly, saying, Let us go and serve other gods, which thou hast not known, thou, nor thy fathers;(KJV-1611) Deu 13:6 Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:7 ============ Deu 13:7 Namely, of the gods of the people which are round about you, nigh unto thee, or far off from thee, from the one end of the earth even unto the other end of the earth;(KJV-1611) Deu 13:7 yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:8 ============ Deu 13:8 Thou shalt not consent unto him, nor hearken unto him; neither shall thine eye pity him, neither shalt thou spare, neither shalt thou conceal him:(KJV-1611) Deu 13:8 pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:9 ============ Deu 13:9 But thou shalt surely kill him; thine hand shall be first upon him to put him to death, and afterwards the hand of all the people.(KJV-1611) Deu 13:9 Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:10 ============ Deu 13:10 And thou shalt stone him with stones, that he die; because he hath sought to thrust thee away from the LORD thy God, which brought thee out of the land of Egypt, from the house of bondage.(KJV-1611) Deu 13:10 N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:11 ============ Deu 13:11 And all Israel shall hear, and fear, and shall do no more any such wickedness as this is among you.(KJV-1611) Deu 13:11 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:12 ============ Deu 13:12 If thou shalt hear say in one of thy cities, which the LORD thy God hath given thee to dwell there, saying,(KJV-1611) Deu 13:12 Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:13 ============ Deu 13:13 Certain men, the children of Belial, are gone out from among you, and have withdrawn the inhabitants of their city, saying, Let us go and serve other gods, which ye have not known;(KJV-1611) Deu 13:13 gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:14 ============ Deu 13:14 Then shalt thou enquire, and make search, and ask diligently; and, behold, if it be truth, and the thing certain, that such abomination is wrought among you;(KJV-1611) Deu 13:14 se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:15 ============ Deu 13:15 Thou shalt surely smite the inhabitants of that city with the edge of the sword, destroying it utterly, and all that is therein, and the cattle thereof, with the edge of the sword.(KJV-1611) Deu 13:15 se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:16 ============ Deu 13:16 And thou shalt gather all the spoil of it into the midst of the street thereof, and shalt burn with fire the city, and all the spoil thereof every whit, for the LORD thy God: and it shall be an heap for ever; it shall not be built again.(KJV-1611) Deu 13:16 N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:17 ============ Deu 13:17 And there shall cleave nought of the cursed thing to thine hand: that the LORD may turn from the fierceness of his anger, and shew thee mercy, and have compassion upon thee, and multiply thee, as he hath sworn unto thy fathers;(KJV-1611) Deu 13:17 Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 13:18 ============ Deu 13:18 When thou shalt hearken to the voice of the LORD thy God, to keep all his commandments which I command thee this day, to do that which is right in the eyes of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 13:18 Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:1 ============ Deu 14:1 Ye are the children of the LORD your God: ye shall not cut yourselves, nor make any baldness between your eyes for the dead.(KJV-1611) Deu 14:1 Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:2 ============ Deu 14:2 For thou art an holy people unto the LORD thy God, and the LORD hath chosen thee to be a peculiar people unto himself, above all the nations that are upon the earth.(KJV-1611) Deu 14:2 Paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l' pa li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:3 ============ Deu 14:3 Thou shalt not eat any abominable thing.(KJV-1611) Deu 14:3 Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:4 ============ Deu 14:4 These are the beasts which ye shall eat: the ox, the sheep, and the goat,(KJV-1611) Deu 14:4 Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:5 ============ Deu 14:5 The hart, and the roebuck, and the fallow deer, and the wild goat, and the pygarg, and the wild ox, and the chamois.(KJV-1611) Deu 14:5 se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:6 ============ Deu 14:6 And every beast that parteth the hoof, and cleaveth the cleft into two claws, and cheweth the cud among the beasts, that ye shall eat.(KJV-1611) Deu 14:6 Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:7 ============ Deu 14:7 Nevertheless these ye shall not eat of them that chew the cud, or of them that divide the cloven hoof; as the camel, and the hare, and the coney: for they chew the cud, but divide not the hoof; therefore they are unclean unto you.(KJV-1611) Deu 14:7 Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:8 ============ Deu 14:8 And the swine, because it divideth the hoof, yet cheweth not the cud, it is unclean unto you: ye shall not eat of their flesh, nor touch their dead carcase.(KJV-1611) Deu 14:8 Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:9 ============ Deu 14:9 These ye shall eat of all that are in the waters: all that have fins and scales shall ye eat:(KJV-1611) Deu 14:9 Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:10 ============ Deu 14:10 And whatsoever hath not fins and scales ye may not eat; it is unclean unto you.(KJV-1611) Deu 14:10 Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:11 ============ Deu 14:11 Of all clean birds ye shall eat.(KJV-1611) Deu 14:11 Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gen dwa manje.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:12 ============ Deu 14:12 But these are they of which ye shall not eat: the eagle, and the ossifrage, and the ospray,(KJV-1611) Deu 14:12 Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:13 ============ Deu 14:13 And the glede, and the kite, and the vulture after his kind,(KJV-1611) Deu 14:13 milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:14 ============ Deu 14:14 And every raven after his kind,(KJV-1611) Deu 14:14 tout kalite kaou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:15 ============ Deu 14:15 And the owl, and the night hawk, and the cuckow, and the hawk after his kind,(KJV-1611) Deu 14:15 otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:16 ============ Deu 14:16 The little owl, and the great owl, and the swan,(KJV-1611) Deu 14:16 koukou, frize, gwo kanna mawon blan,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:17 ============ Deu 14:17 And the pelican, and the gier eagle, and the cormorant,(KJV-1611) Deu 14:17 grangozye, plonjon, chwèt,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:18 ============ Deu 14:18 And the stork, and the heron after her kind, and the lapwing, and the bat.(KJV-1611) Deu 14:18 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:19 ============ Deu 14:19 And every creeping thing that flieth is unclean unto you: they shall not be eaten.(KJV-1611) Deu 14:19 Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:20 ============ Deu 14:20 But of all clean fowls ye may eat.(KJV-1611) Deu 14:20 Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:21 ============ Deu 14:21 Ye shall not eat of anything that dieth of itself: thou shalt give it unto the stranger that is in thy gates, that he may eat it; or thou mayest sell it unto an alien: for thou art an holy people unto the LORD thy God. Thou shalt not seethe a kid in his mother's milk.(KJV-1611) Deu 14:21 Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:22 ============ Deu 14:22 Thou shalt truly tithe all the increase of thy seed, that the field bringeth forth year by year.(KJV-1611) Deu 14:22 Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:23 ============ Deu 14:23 And thou shalt eat before the LORD thy God, in the place which he shall choose to place his name there, the tithe of thy corn, of thy wine, and of thine oil, and the firstlings of thy herds and of thy flocks; that thou mayest learn to fear the LORD thy God always.(KJV-1611) Deu 14:23 Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:24 ============ Deu 14:24 And if the way be too long for thee, so that thou art not able to carry it; or if the place be too far from thee, which the LORD thy God shall choose to set his name there, when the LORD thy God hath blessed thee:(KJV-1611) Deu 14:24 Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:25 ============ Deu 14:25 Then shalt thou turn it into money, and bind up the money in thine hand, and shalt go unto the place which the LORD thy God shall choose:(KJV-1611) Deu 14:25 lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:26 ============ Deu 14:26 And thou shalt bestow that money for whatsoever thy soul lusteth after, for oxen, or for sheep, or for wine, or for strong drink, or for whatsoever thy soul desireth: and thou shalt eat there before the LORD thy God, and thou shalt rejoice, thou, and thine household,(KJV-1611) Deu 14:26 Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:27 ============ Deu 14:27 And the Levite that is within thy gates; thou shalt not forsake him; for he hath no part nor inheritance with thee.(KJV-1611) Deu 14:27 Pa bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:28 ============ Deu 14:28 At the end of three years thou shalt bring forth all the tithe of thine increase the same year, and shalt lay it up within thy gates:(KJV-1611) Deu 14:28 Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 14:29 ============ Deu 14:29 And the Levite, (because he hath no part nor inheritance with thee,) and the stranger, and the fatherless, and the widow, which are within thy gates, shall come, and shall eat and be satisfied; that the LORD thy God may bless thee in all the work of thine hand which thou doest.(KJV-1611) Deu 14:29 Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:1 ============ Deu 15:1 At the end of every seven years thou shalt make a release.(KJV-1611) Deu 15:1 Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:2 ============ Deu 15:2 And this is the manner of the release: Every creditor that lendeth ought unto his neighbour shall release it; he shall not exact it of his neighbour, or of his brother; because it is called the LORD's release.(KJV-1611) Deu 15:2 Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:3 ============ Deu 15:3 Of a foreigner thou mayest exact it again: but that which is thine with thy brother thine hand shall release;(KJV-1611) Deu 15:3 N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:4 ============ Deu 15:4 Save when there shall be no poor among you; for the LORD shall greatly bless thee in the land which the LORD thy God giveth thee for an inheritance to possess it:(KJV-1611) Deu 15:4 Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:5 ============ Deu 15:5 Only if thou carefully hearken unto the voice of the LORD thy God, to observe to do all these commandments which I command thee this day.(KJV-1611) Deu 15:5 Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:6 ============ Deu 15:6 For the LORD thy God blesseth thee, as he promised thee: and thou shalt lend unto many nations, but thou shalt not borrow; and thou shalt reign over many nations, but they shall not reign over thee.(KJV-1611) Deu 15:6 Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:7 ============ Deu 15:7 If there be among you a poor man of one of thy brethren within any of thy gates in thy land which the LORD thy God giveth thee, thou shalt not harden thine heart, nor shut thine hand from thy poor brother:(KJV-1611) Deu 15:7 Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:8 ============ Deu 15:8 But thou shalt open thine hand wide unto him, and shalt surely lend him sufficient for his need, in that which he wanteth.(KJV-1611) Deu 15:8 Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:9 ============ Deu 15:9 Beware that there be not a thought in thy wicked heart, saying, The seventh year, the year of release, is at hand; and thine eye be evil against thy poor brother, and thou givest him nought; and he cry unto the LORD against thee, and it be sin unto thee.(KJV-1611) Deu 15:9 Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:10 ============ Deu 15:10 Thou shalt surely give him, and thine heart shall not be grieved when thou givest unto him: because that for this thing the LORD thy God shall bless thee in all thy works, and in all that thou puttest thine hand unto.(KJV-1611) Deu 15:10 Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:11 ============ Deu 15:11 For the poor shall never cease out of the land: therefore I command thee, saying, Thou shalt open thine hand wide unto thy brother, to thy poor, and to thy needy, in thy land.(KJV-1611) Deu 15:11 Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:12 ============ Deu 15:12 And if thy brother, an Hebrew man, or an Hebrew woman, be sold unto thee, and serve thee six years; then in the seventh year thou shalt let him go free from thee.(KJV-1611) Deu 15:12 Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:13 ============ Deu 15:13 And when thou sendest him out free from thee, thou shalt not let him go away empty:(KJV-1611) Deu 15:13 Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:14 ============ Deu 15:14 Thou shalt furnish him liberally out of thy flock, and out of thy floor, and out of thy winepress: of that wherewith the LORD thy God hath blessed thee thou shalt give unto him.(KJV-1611) Deu 15:14 Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:15 ============ Deu 15:15 And thou shalt remember that thou wast a bondman in the land of Egypt, and the LORD thy God redeemed thee: therefore I command thee this thing to day.(KJV-1611) Deu 15:15 Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:16 ============ Deu 15:16 And it shall be, if he say unto thee, I will not go away from thee; because he loveth thee and thine house, because he is well with thee;(KJV-1611) Deu 15:16 Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l',(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:17 ============ Deu 15:17 Then thou shalt take an aul, and thrust it through his ear unto the door, and he shall be thy servant for ever. And also unto thy maidservant thou shalt do likewise.(KJV-1611) Deu 15:17 lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:18 ============ Deu 15:18 It shall not seem hard unto thee, when thou sendest him away free from thee; for he hath been worth a double hired servant to thee, in serving thee six years: and the LORD thy God shall bless thee in all that thou doest.(KJV-1611) Deu 15:18 Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:19 ============ Deu 15:19 All the firstling males that come of thy herd and of thy flock thou shalt sanctify unto the LORD thy God: thou shalt do no work with the firstling of thy bullock, nor shear the firstling of thy sheep.(KJV-1611) Deu 15:19 Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:20 ============ Deu 15:20 Thou shalt eat it before the LORD thy God year by year in the place which the LORD shall choose, thou and thy household.(KJV-1611) Deu 15:20 Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:21 ============ Deu 15:21 And if there be any blemish therein, as if it be lame, or blind, or have any ill blemish, thou shalt not sacrifice it unto the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 15:21 Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:22 ============ Deu 15:22 Thou shalt eat it within thy gates: the unclean and the clean person shall eat it alike, as the roebuck, and as the hart.(KJV-1611) Deu 15:22 N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 15:23 ============ Deu 15:23 Only thou shalt not eat the blood thereof; thou shalt pour it upon the ground as water.(KJV-1611) Deu 15:23 Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:1 ============ Deu 16:1 Observe the month of Abib, and keep the passover unto the LORD thy God: for in the month of Abib the LORD thy God brought thee forth out of Egypt by night.(KJV-1611) Deu 16:1 Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:2 ============ Deu 16:2 Thou shalt therefore sacrifice the passover unto the LORD thy God, of the flock and the herd, in the place which the LORD shall choose to place his name there.(KJV-1611) Deu 16:2 Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:3 ============ Deu 16:3 Thou shalt eat no leavened bread with it; seven days shalt thou eat unleavened bread therewith, even the bread of affliction; for thou camest forth out of the land of Egypt in haste: that thou mayest remember the day when thou camest forth out of the land of Egypt all the days of thy life.(KJV-1611) Deu 16:3 Lè n'ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l'. Pandan sèt jou, n'a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n'a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t'ap soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:4 ============ Deu 16:4 And there shall be no leavened bread seen with thee in all thy coast seven days; neither shall there any thing of the flesh, which thou sacrificedst the first day at even, remain all night until the morning.(KJV-1611) Deu 16:4 Pandan sèt jou sa yo, pesonn nan peyi nou an pa gen dwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:5 ============ Deu 16:5 Thou mayest not sacrifice the passover within any of thy gates, which the LORD thy God giveth thee:(KJV-1611) Deu 16:5 Nou p'ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:6 ============ Deu 16:6 But at the place which the LORD thy God shall choose to place his name in, there thou shalt sacrifice the passover at even, at the going down of the sun, at the season that thou camest forth out of Egypt.(KJV-1611) Deu 16:6 Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n'a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:7 ============ Deu 16:7 And thou shalt roast and eat it in the place which the LORD thy God shall choose: and thou shalt turn in the morning, and go unto thy tents.(KJV-1611) Deu 16:7 N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l' kote Seyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:8 ============ Deu 16:8 Six days thou shalt eat unleavened bread: and on the seventh day shall be a solemn assembly to the LORD thy God: thou shalt do no work therein.(KJV-1611) Deu 16:8 Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:9 ============ Deu 16:9 Seven weeks shalt thou number unto thee: begin to number the seven weeks from such time as thou beginnest to put the sickle to the corn.(KJV-1611) Deu 16:9 N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:10 ============ Deu 16:10 And thou shalt keep the feast of weeks unto the LORD thy God with a tribute of a freewill offering of thine hand, which thou shalt give unto the LORD thy God, according as the LORD thy God hath blessed thee:(KJV-1611) Deu 16:10 Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:11 ============ Deu 16:11 And thou shalt rejoice before the LORD thy God, thou, and thy son, and thy daughter, and thy manservant, and thy maidservant, and the Levite that is within thy gates, and the stranger, and the fatherless, and the widow, that are among you, in the place which the LORD thy God hath chosen to place his name there.(KJV-1611) Deu 16:11 N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:12 ============ Deu 16:12 And thou shalt remember that thou wast a bondman in Egypt: and thou shalt observe and do these statutes.(KJV-1611) Deu 16:12 N'a toujou chonje nou menm tou yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa n'a toujou obeyi tout lwa sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:13 ============ Deu 16:13 Thou shalt observe the feast of tabernacles seven days, after that thou hast gathered in thy corn and thy wine:(KJV-1611) Deu 16:13 Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:14 ============ Deu 16:14 And thou shalt rejoice in thy feast, thou, and thy son, and thy daughter, and thy manservant, and thy maidservant, and the Levite, the stranger, and the fatherless, and the widow, that are within thy gates.(KJV-1611) Deu 16:14 N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:15 ============ Deu 16:15 Seven days shalt thou keep a solemn feast unto the LORD thy God in the place which the LORD shall choose: because the LORD thy God shall bless thee in all thine increase, and in all the works of thine hands, therefore thou shalt surely rejoice.(KJV-1611) Deu 16:15 Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:16 ============ Deu 16:16 Three times in a year shall all thy males appear before the LORD thy God in the place which he shall choose; in the feast of unleavened bread, and in the feast of weeks, and in the feast of tabernacles: and they shall not appear before the LORD empty:(KJV-1611) Deu 16:16 Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:17 ============ Deu 16:17 Every man shall give as he is able, according to the blessing of the LORD thy God which he hath given thee.(KJV-1611) Deu 16:17 Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:18 ============ Deu 16:18 Judges and officers shalt thou make thee in all thy gates, which the LORD thy God giveth thee, throughout thy tribes: and they shall judge the people with just judgment.(KJV-1611) Deu 16:18 N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:19 ============ Deu 16:19 Thou shalt not wrest judgment; thou shalt not respect persons, neither take a gift: for a gift doth blind the eyes of the wise, and pervert the words of the righteous.(KJV-1611) Deu 16:19 Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:20 ============ Deu 16:20 That which is altogether just shalt thou follow, that thou mayest live, and inherit the land which the LORD thy God giveth thee.(KJV-1611) Deu 16:20 Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l' la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:21 ============ Deu 16:21 Thou shalt not plant thee a grove of any trees near unto the altar of the LORD thy God, which thou shalt make thee.(KJV-1611) Deu 16:21 Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 16:22 ============ Deu 16:22 Neither shalt thou set thee up any image; which the LORD thy God hateth.(KJV-1611) Deu 16:22 Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:1 ============ Deu 17:1 Thou shalt not sacrifice unto the LORD thy God any bullock, or sheep, wherein is blemish, or any evilfavouredness: for that is an abomination unto the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 17:1 Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:2 ============ Deu 17:2 If there be found among you, within any of thy gates which the LORD thy God giveth thee, man or woman, that hath wrought wickedness in the sight of the LORD thy God, in transgressing his covenant,(KJV-1611) Deu 17:2 Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:3 ============ Deu 17:3 And hath gone and served other gods, and worshipped them, either the sun, or moon, or any of the host of heaven, which I have not commanded;(KJV-1611) Deu 17:3 pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:4 ============ Deu 17:4 And it be told thee, and thou hast heard of it, and enquired diligently, and, behold, it be true, and the thing certain, that such abomination is wrought in Israel:(KJV-1611) Deu 17:4 epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:5 ============ Deu 17:5 Then shalt thou bring forth that man or that woman, which have committed that wicked thing, unto thy gates, even that man or that woman, and shalt stone them with stones, till they die.(KJV-1611) Deu 17:5 lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:6 ============ Deu 17:6 At the mouth of two witnesses, or three witnesses, shall he that is worthy of death be put to death; but at the mouth of one witness he shall not be put to death.(KJV-1611) Deu 17:6 Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:7 ============ Deu 17:7 The hands of the witnesses shall be first upon him to put him to death, and afterward the hands of all the people. So thou shalt put the evil away from among you.(KJV-1611) Deu 17:7 Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:8 ============ Deu 17:8 If there arise a matter too hard for thee in judgment, between blood and blood, between plea and plea, and between stroke and stroke, being matters of controversy within thy gates: then shalt thou arise, and get thee up into the place which the LORD thy God shall choose;(KJV-1611) Deu 17:8 Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:9 ============ Deu 17:9 And thou shalt come unto the priests the Levites, and unto the judge that shall be in those days, and enquire; and they shall shew thee the sentence of judgment:(KJV-1611) Deu 17:9 n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:10 ============ Deu 17:10 And thou shalt do according to the sentence, which they of that place which the LORD shall choose shall shew thee; and thou shalt observe to do according to all that they inform thee:(KJV-1611) Deu 17:10 Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:11 ============ Deu 17:11 According to the sentence of the law which they shall teach thee, and according to the judgment which they shall tell thee, thou shalt do: thou shalt not decline from the sentence which they shall shew thee, to the right hand, nor to the left.(KJV-1611) Deu 17:11 Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:12 ============ Deu 17:12 And the man that will do presumptuously, and will not hearken unto the priest that standeth to minister there before the LORD thy God, or unto the judge, even that man shall die: and thou shalt put away the evil from Israel.(KJV-1611) Deu 17:12 Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:13 ============ Deu 17:13 And all the people shall hear, and fear, and do no more presumptuously.(KJV-1611) Deu 17:13 Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:14 ============ Deu 17:14 When thou art come unto the land which the LORD thy God giveth thee, and shalt possess it, and shalt dwell therein, and shalt say, I will set a king over me, like as all the nations that are about me;(KJV-1611) Deu 17:14 Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:15 ============ Deu 17:15 Thou shalt in any wise set him king over thee, whom the LORD thy God shall choose: one from among thy brethren shalt thou set king over thee: thou mayest not set a stranger over thee, which is not thy brother.(KJV-1611) Deu 17:15 se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:16 ============ Deu 17:16 But he shall not multiply horses to himself, nor cause the people to return to Egypt, to the end that he should multiply horses: forasmuch as the LORD hath said unto you, Ye shall henceforth return no more that way.(KJV-1611) Deu 17:16 Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:17 ============ Deu 17:17 Neither shall he multiply wives to himself, that his heart turn not away: neither shall he greatly multiply to himself silver and gold.(KJV-1611) Deu 17:17 Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:18 ============ Deu 17:18 And it shall be, when he sitteth upon the throne of his kingdom, that he shall write him a copy of this law in a book out of that which is before the priests the Levites:(KJV-1611) Deu 17:18 Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:19 ============ Deu 17:19 And it shall be with him, and he shall read therein all the days of his life: that he may learn to fear the LORD his God, to keep all the words of this law and these statutes, to do them:(KJV-1611) Deu 17:19 Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 17:20 ============ Deu 17:20 That his heart be not lifted up above his brethren, and that he turn not aside from the commandment, to the right hand, or to the left: to the end that he may prolong his days in his kingdom, he, and his children, in the midst of Israel.(KJV-1611) Deu 17:20 Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:1 ============ Deu 18:1 The priests the Levites, and all the tribe of Levi, shall have no part nor inheritance with Israel: they shall eat the offerings of the LORD made by fire, and his inheritance.(KJV-1611) Deu 18:1 Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:2 ============ Deu 18:2 Therefore shall they have no inheritance among their brethren: the LORD is their inheritance, as he hath said unto them.(KJV-1611) Deu 18:2 Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:3 ============ Deu 18:3 And this shall be the priest's due from the people, from them that offer a sacrifice, whether it be ox or sheep; and they shall give unto the priest the shoulder, and the two cheeks, and the maw.(KJV-1611) Deu 18:3 Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:4 ============ Deu 18:4 The firstfruit also of thy corn, of thy wine, and of thine oil, and the first of the fleece of thy sheep, shalt thou give him.(KJV-1611) Deu 18:4 N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:5 ============ Deu 18:5 For the LORD thy God hath chosen him out of all thy tribes, to stand to minister in the name of the LORD, him and his sons for ever.(KJV-1611) Deu 18:5 Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l' prèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:6 ============ Deu 18:6 And if a Levite come from any of thy gates out of all Israel, where he sojourned, and come with all the desire of his mind unto the place which the LORD shall choose;(KJV-1611) Deu 18:6 Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:7 ============ Deu 18:7 Then he shall minister in the name of the LORD his God, as all his brethren the Levites do, which stand there before the LORD.(KJV-1611) Deu 18:7 lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:8 ============ Deu 18:8 They shall have like portions to eat, beside that which cometh of the sale of his patrimony.(KJV-1611) Deu 18:8 l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:9 ============ Deu 18:9 When thou art come into the land which the LORD thy God giveth thee, thou shalt not learn to do after the abominations of those nations.(KJV-1611) Deu 18:9 Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:10 ============ Deu 18:10 There shall not be found among you any one that maketh his son or his daughter to pass through the fire, or that useth divination, or an observer of times, or an enchanter, or a witch.(KJV-1611) Deu 18:10 Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:11 ============ Deu 18:11 Or a charmer, or a consulter with familiar spirits, or a wizard, or a necromancer.(KJV-1611) Deu 18:11 Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:12 ============ Deu 18:12 For all that do these things are an abomination unto the LORD: and because of these abominations the LORD thy God doth drive them out from before thee.(KJV-1611) Deu 18:12 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:13 ============ Deu 18:13 Thou shalt be perfect with the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 18:13 Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:14 ============ Deu 18:14 For these nations, which thou shalt possess, hearkened unto observers of times, and unto diviners: but as for thee, the LORD thy God hath not suffered thee so to do.(KJV-1611) Deu 18:14 Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:15 ============ Deu 18:15 The LORD thy God will raise up unto thee a Prophet from the midst of thee, of thy brethren, like unto me; unto him ye shall hearken;(KJV-1611) Deu 18:15 Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:16 ============ Deu 18:16 According to all that thou desiredst of the LORD thy God in Horeb in the day of the assembly, saying, Let me not hear again the voice of the LORD my God, neither let me see this great fire any more, that I die not.(KJV-1611) Deu 18:16 Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:17 ============ Deu 18:17 And the LORD said unto me, They have well spoken that which they have spoken.(KJV-1611) Deu 18:17 Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:18 ============ Deu 18:18 I will raise them up a Prophet from among their brethren, like unto thee, and will put my words in his mouth; and he shall speak unto them all that I shall command him.(KJV-1611) Deu 18:18 M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:19 ============ Deu 18:19 And it shall come to pass, that whosoever will not hearken unto my words which he shall speak in my name, I will require it of him.(KJV-1611) Deu 18:19 Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:20 ============ Deu 18:20 But the prophet, which shall presume to speak a word in my name, which I have not commanded him to speak, or that shall speak in the name of other gods, even that prophet shall die.(KJV-1611) Deu 18:20 Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:21 ============ Deu 18:21 And if thou say in thine heart, How shall we know the word which the LORD hath not spoken?(KJV-1611) Deu 18:21 Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 18:22 ============ Deu 18:22 When a prophet speaketh in the name of the LORD, if the thing follow not, nor come to pass, that is the thing which the LORD hath not spoken, but the prophet hath spoken it presumptuously: thou shalt not be afraid of him.(KJV-1611) Deu 18:22 Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:1 ============ Deu 19:1 When the LORD thy God hath cut off the nations, whose land the LORD thy God giveth thee, and thou succeedest them, and dwellest in their cities, and in their houses;(KJV-1611) Deu 19:1 Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l' ban nou peyi ki te pou yo a, lè n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:2 ============ Deu 19:2 Thou shalt separate three cities for thee in the midst of thy land, which the LORD thy God giveth thee to possess it.(KJV-1611) Deu 19:2 n'a chwazi twa lavil nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:3 ============ Deu 19:3 Thou shalt prepare thee a way, and divide the coasts of thy land, which the LORD thy God giveth thee to inherit, into three parts, that every slayer may flee thither.(KJV-1611) Deu 19:3 N'a kenbe wout ki mennen nan lavil sa yo an bon eta. N'a divize teritwa Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a an twa zòn ak yon lavil nan chak zòn. Konsa, nenpòt moun ki ta rive touye yon lòt ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:4 ============ Deu 19:4 And this is the case of the slayer, which shall flee thither, that he may live: Whoso killeth his neighbour ignorantly, whom he hated not in time past;(KJV-1611) Deu 19:4 Men nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l': Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:5 ============ Deu 19:5 As when a man goeth into the wood with his neighbour to hew wood, and his hand fetcheth a stroke with the axe to cut down the tree, and the head slippeth from the helve, and lighteth upon his neighbour, that he die; he shall flee unto one of those cities, and live:(KJV-1611) Deu 19:5 Konsa, si de moun al nan bwa ansanm pou koupe bwa epi yonn ladan yo fè sa li leve rach li pou l' koupe yon bwa epi rach la chape soti nan manch lan, l' al frape zanmi l' lan, li touye l' frèt, yon nonm konsa gen dwa kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou l' ka sove lavi l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:6 ============ Deu 19:6 Lest the avenger of the blood pursue the slayer, while his heart is hot, and overtake him, because the way is long, and slay him; whereas he was not worthy of death, inasmuch as he hated him not in time past.(KJV-1611) Deu 19:6 Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:7 ============ Deu 19:7 Wherefore I command thee, saying, Thou shalt separate three cities for thee.(KJV-1611) Deu 19:7 Se poutèt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:8 ============ Deu 19:8 And if the LORD thy God enlarge thy coast, as he hath sworn unto thy fathers, and give thee all the land which he promised to give unto thy fathers;(KJV-1611) Deu 19:8 Konsa tou, lè Seyè a, Bondye nou an, va fè peyi nou an vin pi gran jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè l'a ban nou tout peyi li te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:9 ============ Deu 19:9 If thou shalt keep all these commandments to do them, which I command thee this day, to love the LORD thy God, and to walk ever in his ways; then shalt thou add three cities more for thee, beside these three:(KJV-1611) Deu 19:9 n'a chwazi twa lòt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m'ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Seyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:10 ============ Deu 19:10 That innocent blood be not shed in thy land, which the LORD thy God giveth thee for an inheritance, and so blood be upon thee.(KJV-1611) Deu 19:10 Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:11 ============ Deu 19:11 But if any man hate his neighbour, and lie in wait for him, and rise up against him, and smite him mortally that he die, and fleeth into one of these cities:(KJV-1611) Deu 19:11 Men, si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l' jouk li tonbe sou li, li ba l' kou jouk li touye l', epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:12 ============ Deu 19:12 Then the elders of his city shall send and fetch him thence, and deliver him into the hand of the avenger of blood, that he may die.(KJV-1611) Deu 19:12 lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l' epi y'a lage l' nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:13 ============ Deu 19:13 Thine eye shall not pity him, but thou shalt put away the guilt of innocent blood from Israel, that it may go well with thee.(KJV-1611) Deu 19:13 N'a san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:14 ============ Deu 19:14 Thou shalt not remove thy neighbour's landmark, which they of old time have set in thine inheritance, which thou shalt inherit in the land that the LORD thy God giveth thee to possess it.(KJV-1611) Deu 19:14 Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:15 ============ Deu 19:15 One witness shall not rise up against a man for any iniquity, or for any sin, in any sin that he sinneth: at the mouth of two witnesses, or at the mouth of three witnesses, shall the matter be established.(KJV-1611) Deu 19:15 Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:16 ============ Deu 19:16 If a false witness rise up against any man to testify against him that which is wrong;(KJV-1611) Deu 19:16 Lè yon fo temwen kanpe pou l' akize yon moun pou yon krim li pa fè,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:17 ============ Deu 19:17 Then both the men, between whom the controversy is, shall stand before the LORD, before the priests and the judges, which shall be in those days;(KJV-1611) Deu 19:17 de moun ki nan pwose yo va prezante ansanm devan lòtèl Seyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:18 ============ Deu 19:18 And the judges shall make diligent inquisition: and, behold, if the witness be a false witness, and hath testified falsely against his brother;(KJV-1611) Deu 19:18 Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l' la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:19 ============ Deu 19:19 Then shall ye do unto him, as he had thought to have done unto his brother: so shalt thou put the evil away from among you.(KJV-1611) Deu 19:19 n'a fè l' sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:20 ============ Deu 19:20 And those which remain shall hear, and fear, and shall henceforth commit no more any such evil among you.(KJV-1611) Deu 19:20 Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 19:21 ============ Deu 19:21 And thine eye shall not pity; but life shall go for life, eye for eye, tooth for tooth, hand for hand, foot for foot.(KJV-1611) Deu 19:21 Se pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:1 ============ Deu 20:1 When thou goest out to battle against thine enemies, and seest horses, and chariots, and a people more than thou, be not afraid of them: for the LORD thy God is with thee, which brought thee up out of the land of Egypt.(KJV-1611) Deu 20:1 Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:2 ============ Deu 20:2 And it shall be, when ye are come nigh unto the battle, that the priest shall approach and speak unto the people,(KJV-1611) Deu 20:2 Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, l'a pale ak sòlda yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:3 ============ Deu 20:3 And shall say unto them, Hear, O Israel, ye approach this day unto battle against your enemies: let not your hearts faint, fear not, and do not tremble, neither be ye terrified because of them;(KJV-1611) Deu 20:3 L'a di yo: -Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa bezwen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:4 ============ Deu 20:4 For the LORD your God is he that goeth with you, to fight for you against your enemies, to save you.(KJV-1611) Deu 20:4 Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:5 ============ Deu 20:5 And the officers shall speak unto the people, saying, What man is there that hath built a new house, and hath not dedicated it? let him go and return to his house, lest he die in the battle, and another man dedicate it.(KJV-1611) Deu 20:5 Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:6 ============ Deu 20:6 And what man is he that hath planted a vineyard, and hath not yet eaten of it? let him also go and return unto his house, lest he die in the battle, and another man eat of it.(KJV-1611) Deu 20:6 Eske gen yon moun la a ki fèk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l' lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:7 ============ Deu 20:7 And what man is there that hath betrothed a wife, and hath not taken her? let him go and return unto his house, lest he die in the battle, and another man take her.(KJV-1611) Deu 20:7 Eske gen yon moun isit la ki fiyanse pou l' marye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fiyanse l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:8 ============ Deu 20:8 And the officers shall speak further unto the people, and they shall say, What man is there that is fearful and fainthearted? let him go and return unto his house, lest his brethren's heart faint as well as his heart.(KJV-1611) Deu 20:8 Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:9 ============ Deu 20:9 And it shall be, when the officers have made an end of speaking unto the people that they shall make captains of the armies to lead the people.(KJV-1611) Deu 20:9 Lè chèf yo va fin pale konsa ak sòlda yo, y'a chwazi yon kaptenn pou chak divizyon pou mache alatèt lame a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:10 ============ Deu 20:10 When thou comest nigh unto a city to fight against it, then proclaim peace unto it.(KJV-1611) Deu 20:10 Lè n'ap pwoche bò yon lavil pou n' atake l', premye bagay n'a fè, n'a mande l' pou l' fè lapè ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:11 ============ Deu 20:11 And it shall be, if it make thee answer of peace, and open unto thee, then it shall be, that all the people that is found therein shall be tributaries unto thee, and they shall serve thee.(KJV-1611) Deu 20:11 Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:12 ============ Deu 20:12 And if it will make no peace with thee, but will make war against thee, then thou shalt besiege it:(KJV-1611) Deu 20:12 Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:13 ============ Deu 20:13 And when the LORD thy God hath delivered it into thine hands, thou shalt smite every male thereof with the edge of the sword:(KJV-1611) Deu 20:13 Seyè a, Bondye nou an, va lage l' nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:14 ============ Deu 20:14 But the women, and the little ones, and the cattle, and all that is in the city, even all the spoil thereof, shalt thou take unto thyself; and thou shalt eat the spoil of thine enemies, which the LORD thy God hath given thee.(KJV-1611) Deu 20:14 Men, n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Seyè a menm ki ban nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:15 ============ Deu 20:15 Thus shalt thou do unto all the cities which are very far off from thee, which are not of the cities of these nations.(KJV-1611) Deu 20:15 Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Seyè a ban nou pou nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:16 ============ Deu 20:16 But of the cities of these people, which the LORD thy God doth give thee for an inheritance, thou shalt save alive nothing that breatheth:(KJV-1611) Deu 20:16 Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:17 ============ Deu 20:17 But thou shalt utterly destroy them; namely, the Hittites, and the Amorites, the Canaanites, and the Perizzites, the Hivites, and the Jebusites; as the LORD thy God hath commanded thee:(KJV-1611) Deu 20:17 Se pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:18 ============ Deu 20:18 That they teach you not to do after all their abominations, which they have done unto their gods; so should ye sin against the LORD your God.(KJV-1611) Deu 20:18 Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:19 ============ Deu 20:19 When thou shalt besiege a city a long time, in making war against it to take it, thou shalt not destroy the trees thereof by forcing an axe against them: for thou mayest eat of them, and thou shalt not cut them down (for the tree of the field is man's life) to employ them in the siege:(KJV-1611) Deu 20:19 Si lè n'ap atake yon lavil nou wè nou blije sènen l' pandan lontan anvan pou nou ka pran l', piga nou koupe ankenn pyebwa ki bay fwi, paske nou ka bezwen fwi yo pou nou manje. Pa koupe pyebwa yo. Se pyebwa ase yo ye, se pa moun yo ye. Ou pa ka aji avèk yo tankou moun ki nan lavil ou sènen an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 20:20 ============ Deu 20:20 Only the trees which thou knowest that they be not trees for meat, thou shalt destroy and cut them down; and thou shalt build bulwarks against the city that maketh war with thee, until it be subdued.(KJV-1611) Deu 20:20 Men, nou gen dwa debranche pyebwa ki pa bay fwi, nou ka koupe yo, nou ka sèvi ak yo pou fè zouti pou atake lavil la jouk lavil la va tonbe nan men nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:1 ============ Deu 21:1 If one be found slain in the land which the LORD thy God giveth thee to possess it, lying in the field, and it be not known who hath slain him:(KJV-1611) Deu 21:1 Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:2 ============ Deu 21:2 Then thy elders and thy judges shall come forth, and they shall measure unto the cities which are round about him that is slain:(KJV-1611) Deu 21:2 chèf fanmi yo ak jij yo va soti, y'a mezire distans ki genyen ant kote yo jwenn kadav la ak lavil ki toupre yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:3 ============ Deu 21:3 And it shall be, that the city which is next unto the slain man, even the elders of that city shall take an heifer, which hath not been wrought with, and which hath not drawn in the yoke;(KJV-1611) Deu 21:3 Y'a wè lavil ki pi pre a. Le sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va pran yon jenn ti gazèl bèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:4 ============ Deu 21:4 And the elders of that city shall bring down the heifer unto a rough valley, which is neither eared nor sown, and shall strike off the heifer's neck there in the valley:(KJV-1611) Deu 21:4 Y'a mennen l' bò yon larivyè ki pa janm chèch, nan yon pozisyon kote tè a pa janm travay ni sekle. Epi se la y'a kase kou l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:5 ============ Deu 21:5 And the priests the sons of Levi shall come near; for them the LORD thy God hath chosen to minister unto him, and to bless in the name of the LORD; and by their word shall every controversy and every stroke be tried:(KJV-1611) Deu 21:5 Apre sa, prèt yo, pitit Levi yo, va vini, paske se yo menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou fè sèvis pou li ak pou beni pèp la nan non li. Se yo menm ki pou bay dènye mo a lè gen diskisyon, lè gen san deyò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:6 ============ Deu 21:6 And all the elders of that city, that are next unto the slain man, shall wash their hands over the heifer that is beheaded in the valley:(KJV-1611) Deu 21:6 Apre sa, chèf fanmi ki reskonsab lavil ki pi pre kote yo te jwenn kadav la va lave men yo ak dlo anwo gazèl yo te touye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:7 ============ Deu 21:7 And they shall answer and say, Our hands have not shed this blood, neither have our eyes seen it.(KJV-1611) Deu 21:7 Y'a di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wè ki moun ki fè krim sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:8 ============ Deu 21:8 Be merciful, O LORD, unto thy people Israel, whom thou hast redeemed, and lay not innocent blood unto thy people of Israel's charge. And the blood shall be forgiven them.(KJV-1611) Deu 21:8 Seyè! Ou menm ki te delivre moun Izrayèl yo anba moun peyi Lejip yo, padonnen pèp ou a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon inonsan yo touye. Bondye va padonnen krim ki fèt la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:9 ============ Deu 21:9 So shalt thou put away the guilt of innocent blood from among you, when thou shalt do that which is right in the sight of the LORD.(KJV-1611) Deu 21:9 Se konsa, n'a fè sa Seyè a te ban nou lòd fè a, yo p'ap rann nou reskonsab lanmò inonsan yo touye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:10 ============ Deu 21:10 When thou goest forth to war against thine enemies, and the LORD thy God hath delivered them into thine hands, and thou hast taken them captive,(KJV-1611) Deu 21:10 Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo epi Seyè a, Bondye nou an, fè nou genyen yo, li fè nou fè anpil prizonye,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:11 ============ Deu 21:11 And seest among the captives a beautiful woman, and hast a desire unto her, that thou wouldest have her to thy wife;(KJV-1611) Deu 21:11 si yonn nan nou wè pami prizonye yo yon bèl fanm, epi li tonbe damou pou li, l'a gen dwa pran l' pou madanm li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:12 ============ Deu 21:12 Then thou shalt bring her home to thine house, and she shall shave her head, and pare her nails;(KJV-1611) Deu 21:12 L'a mennen l' lakay li. Fanm lan va koupe tout cheve nan tèt li, l'a koupe tout zong dwèt ak tout zong pye l' yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:13 ============ Deu 21:13 And she shall put the raiment of her captivity from off her, and shall remain in thine house, and bewail her father and her mother a full month: and after that thou shalt go in unto her, and be her husband, and she shall be thy wife.(KJV-1611) Deu 21:13 l'a wete rad ki te sou li lè yo te fè l' prizonye a. L'a rete anndan kay nonm lan pandan yon mwa ap kriye pou papa l' ak manman l'. Apre sa, nonm lan va pwoche bò kote l', l'a marye avè l', l'a pran l' pou madanm li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:14 ============ Deu 21:14 And it shall be, if thou have no delight in her, then thou shalt let her go whither she will; but thou shalt not sell her at all for money, thou shalt not make merchandise of her, because thou hast humbled her.(KJV-1611) Deu 21:14 Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:15 ============ Deu 21:15 If a man have two wives, one beloved, and another hated, and they have born him children, both the beloved and the hated; and if the firstborn son be hers that was hated:(KJV-1611) Deu 21:15 Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:16 ============ Deu 21:16 Then it shall be, when he maketh his sons to inherit that which he hath, that he may not make the son of the beloved firstborn before the son of the hated, which is indeed the firstborn:(KJV-1611) Deu 21:16 Lè lè a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:17 ============ Deu 21:17 But he shall acknowledge the son of the hated for the firstborn, by giving him a double portion of all that he hath: for he is the beginning of his strength; the right of the firstborn is his.(KJV-1611) Deu 21:17 Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:18 ============ Deu 21:18 If a man have a stubborn and rebellious son, which will not obey the voice of his father, or the voice of his mother, and that, when they have chastened him, will not hearken unto them:(KJV-1611) Deu 21:18 Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy soti nan lòt la,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:19 ============ Deu 21:19 Then shall his father and his mother lay hold on him, and bring him out unto the elders of his city, and unto the gate of his place;(KJV-1611) Deu 21:19 manman l' ak papa l' va kenbe l', y'a trennen l' devan chèf fanmi yo, nan tribinal ki bò pòtay lavil kote yo rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:20 ============ Deu 21:20 And they shall say unto the elders of his city, This our son is stubborn and rebellious, he will not obey our voice; he is a glutton, and a drunkard.(KJV-1611) Deu 21:20 Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:21 ============ Deu 21:21 And all the men of his city shall stone him with stones, that he die: so shalt thou put evil away from among you; and all Israel shall hear, and fear.(KJV-1611) Deu 21:21 Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:22 ============ Deu 21:22 And if a man have committed a sin worthy of death, and he be to be put to death, and thou hang him on a tree:(KJV-1611) Deu 21:22 Si yo kondannen yon moun pou yon krim li fè, epi lè yo fin touye l', yo pann kadav la nan yon pyebwa,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 21:23 ============ Deu 21:23 His body shall not remain all night upon the tree, but thou shalt in any wise bury him that day; (for he that is hanged is accursed of God;) that thy land be not defiled, which the LORD thy God giveth thee for an inheritance.(KJV-1611) Deu 21:23 pa janm kite kadav la pase nwit sou pyebwa a. Se pou nou antere l' menm jou a, paske yon kadav pann nan yon pyebwa se bagay ki pa fè Bondye plezi. Se konsa nou p'ap kite yo fè ankenn vye bagay ki pou fè Seyè a, Bondye nou an, vire do ban nou nan peyi Seyè a pral ban nou pou nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:1 ============ Deu 22:1 Thou shalt not see thy brother's ox or his sheep go astray, and hide thyself from them: thou shalt in any case bring them again unto thy brother.(KJV-1611) Deu 22:1 Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l' mennen l' tounen ba li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:2 ============ Deu 22:2 And if thy brother be not nigh unto thee, or if thou know him not, then thou shalt bring it unto thine own house, and it shall be with thee until thy brother seek after it, and thou shalt restore it to him again.(KJV-1611) Deu 22:2 Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n'a pran l', n'a mennen l' lakay nou. N'a kenbe l' lakay nou jouk mèt li va vin chache l'. Lè sa a n'a renmèt li li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:3 ============ Deu 22:3 In like manner shalt thou do with his ass; and so shalt thou do with his raiment; and with all lost thing of thy brother's, which he hath lost, and thou hast found, shalt thou do likewise: thou mayest not hide thyself.(KJV-1611) Deu 22:3 N'a fè menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpòt bagay yon moun pèp Izrayèl parèy nou ta rive pèdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fè tankou nou pa wè sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:4 ============ Deu 22:4 Thou shalt not see thy brother's ass or his ox fall down by the way, and hide thyself from them: thou shalt surely help him to lift them up again.(KJV-1611) Deu 22:4 Lè nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l' fè l' kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:5 ============ Deu 22:5 The woman shall not wear that which pertaineth unto a man, neither shall a man put on a woman's garment: for all that do so are abomination unto the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 22:5 Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:6 ============ Deu 22:6 If a bird's nest chance to be before thee in the way in any tree, or on the ground, whether they be young ones, or eggs, and the dam sitting upon the young, or upon the eggs, thou shalt not take the dam with the young:(KJV-1611) Deu 22:6 Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:7 ============ Deu 22:7 But thou shalt in any wise let the dam go, and take the young to thee; that it may be well with thee, and that thou mayest prolong thy days.(KJV-1611) Deu 22:7 N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:8 ============ Deu 22:8 When thou buildest a new house, then thou shalt make a battlement for thy roof, that thou bring not blood upon thine house, if any man fall from thence.(KJV-1611) Deu 22:8 Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:9 ============ Deu 22:9 Thou shalt not sow thy vineyard with divers seeds: lest the fruit of thy seed which thou hast sown, and the fruit of thy vineyard, be defiled.(KJV-1611) Deu 22:9 Pa janm plante ankenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p'ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:10 ============ Deu 22:10 Thou shalt not plow with an ox and an ass together.(KJV-1611) Deu 22:10 Piga nou mete bèf ak bourik ansanm pou rale chari.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:11 ============ Deu 22:11 Thou shalt not wear a garment of divers sorts, as of woollen and linen together.(KJV-1611) Deu 22:11 Piga nou janm mete sou nou rad ki fèt ak divès kalite lenn ak twal fin blan tise ansanm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:12 ============ Deu 22:12 Thou shalt make thee fringes upon the four quarters of thy vesture, wherewith thou coverest thyself.(KJV-1611) Deu 22:12 N'a mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:13 ============ Deu 22:13 If any man take a wife, and go in unto her, and hate her,(KJV-1611) Deu 22:13 Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:14 ============ Deu 22:14 And give occasions of speech against her, and bring up an evil name upon her, and say, I took this woman, and when I came to her, I found her not a maid:(KJV-1611) Deu 22:14 Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:15 ============ Deu 22:15 Then shall the father of the damsel, and her mother, take and bring forth the tokens of the damsel's virginity unto the elders of the city in the gate:(KJV-1611) Deu 22:15 Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:16 ============ Deu 22:16 And the damsel's father shall say unto the elders, I gave my daughter unto this man to wife, and he hateth her;(KJV-1611) Deu 22:16 Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:17 ============ Deu 22:17 And, lo, he hath given occasions of speech against her, saying, I found not thy daughter a maid; and yet these are the tokens of my daughter's virginity. And they shall spread the cloth before the elders of the city.(KJV-1611) Deu 22:17 li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:18 ============ Deu 22:18 And the elders of that city shall take that man and chastise him;(KJV-1611) Deu 22:18 Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:19 ============ Deu 22:19 And they shall amerce him in an hundred shekels of silver, and give them unto the father of the damsel, because he hath brought up an evil name upon a virgin of Israel: and she shall be his wife; he may not put her away all his days.(KJV-1611) Deu 22:19 Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:20 ============ Deu 22:20 But if this thing be true, and the tokens of virginity be not found for the damsel:(KJV-1611) Deu 22:20 Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:21 ============ Deu 22:21 Then they shall bring out the damsel to the door of her father's house, and the men of her city shall stone her with stones that she die: because she hath wrought folly in Israel, to play the whore in her father's house: so shalt thou put evil away from among you.(KJV-1611) Deu 22:21 y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:22 ============ Deu 22:22 If a man be found lying with a woman married to an husband, then they shall both of them die, both the man that lay with the woman, and the woman: so shalt thou put away evil from Israel.(KJV-1611) Deu 22:22 Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:23 ============ Deu 22:23 If a damsel that is a virgin be betrothed unto an husband, and a man find her in the city, and lie with her;(KJV-1611) Deu 22:23 Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:24 ============ Deu 22:24 Then ye shall bring them both out unto the gate of that city, and ye shall stone them with stones that they die; the damsel, because she cried not, being in the city; and the man, because he hath humbled his neighbour's wife: so thou shalt put away evil from among you.(KJV-1611) Deu 22:24 Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:25 ============ Deu 22:25 But if a man find a betrothed damsel in the field, and the man force her, and lie with her: then the man only that lay with her shall die.(KJV-1611) Deu 22:25 Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avè l', se nèg la sèlman ki pou mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:26 ============ Deu 22:26 But unto the damsel thou shalt do nothing; there is in the damsel no sin worthy of death: for as when a man riseth against his neighbour, and slayeth him, even so is this matter:(KJV-1611) Deu 22:26 Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:27 ============ Deu 22:27 For he found her in the field, and the betrothed damsel cried, and there was none to save her.(KJV-1611) Deu 22:27 Nèg la te kontre avè l' andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:28 ============ Deu 22:28 If a man find a damsel that is a virgin, which is not betrothed, and lay hold on her, and lie with her, and they be found;(KJV-1611) Deu 22:28 Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:29 ============ Deu 22:29 Then the man that lay with her shall give unto the damsel's father fifty shekels of silver, and she shall be his wife; because he hath humbled her, he may not put her away all his days.(KJV-1611) Deu 22:29 nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 22:30 ============ Deu 22:30 A man shall not take his father's wife, nor discover his father's skirt.(KJV-1611) Deu 22:30 Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:1 ============ Deu 23:1 He that is wounded in the stones, or hath his privy member cut off, shall not enter into the congregation of the LORD.(KJV-1611) Deu 23:1 Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:2 ============ Deu 23:2 A bastard shall not enter into the congregation of the LORD; even to his tenth generation shall he not enter into the congregation of the LORD.(KJV-1611) Deu 23:2 Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:3 ============ Deu 23:3 An Ammonite or Moabite shall not enter into the congregation of the LORD; even to their tenth generation shall they not enter into the congregation of the LORD for ever:(KJV-1611) Deu 23:3 Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:4 ============ Deu 23:4 Because they met you not with bread and with water in the way, when ye came forth out of Egypt; and because they hired against thee Balaam the son of Beor of Pethor of Mesopotamia, to curse thee.(KJV-1611) Deu 23:4 Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:5 ============ Deu 23:5 Nevertheless the LORD thy God would not hearken unto Balaam; but the LORD thy God turned the curse into a blessing unto thee, because the LORD thy God loved thee.(KJV-1611) Deu 23:5 Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:6 ============ Deu 23:6 Thou shalt not seek their peace nor their prosperity all thy days for ever.(KJV-1611) Deu 23:6 Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:7 ============ Deu 23:7 Thou shalt not abhor an Edomite; for he is thy brother: thou shalt not abhor an Egyptian; because thou wast a stranger in his land.(KJV-1611) Deu 23:7 Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:8 ============ Deu 23:8 The children that are begotten of them shall enter into the congregation of the LORD in their third generation.(KJV-1611) Deu 23:8 Lè moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gen dwa vin nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:9 ============ Deu 23:9 When the host goeth forth against thine enemies, then keep thee from every wicked thing.(KJV-1611) Deu 23:9 Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:10 ============ Deu 23:10 If there be among you any man, that is not clean by reason of uncleanness that chanceth him by night, then shall he go abroad out of the camp, he shall not come within the camp:(KJV-1611) Deu 23:10 Si yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a soti kite kan an, l'a rete deyò pou tout jounen an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:11 ============ Deu 23:11 But it shall be, when evening cometh on, he shall wash himself with water: and when the sun is down, he shall come into the camp again.(KJV-1611) Deu 23:11 Nan aswè, l'a lave kò l'. Apre solèy kouche, l'a ka antre nan kan an ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:12 ============ Deu 23:12 Thou shalt have a place also without the camp, whither thou shalt go forth abroad:(KJV-1611) Deu 23:12 N'a chwazi yon kote andeyò limit kan an kote n'a ka ale fè bezwen nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:13 ============ Deu 23:13 And thou shalt have a paddle upon thy weapon; and it shall be, when thou wilt ease thyself abroad, thou shalt dig therewith, and shalt turn back and cover that which cometh from thee:(KJV-1611) Deu 23:13 N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l' ak tè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:14 ============ Deu 23:14 For the LORD thy God walketh in the midst of thy camp, to deliver thee, and to give up thine enemies before thee; therefore shall thy camp be holy: that he see no unclean thing in thee, and turn away from thee.(KJV-1611) Deu 23:14 Seyè a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Seyè a pa wè anyen ladan l' ki pou ba l' kè tounen epi ki pou ta fè l' vire do ban nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:15 ============ Deu 23:15 Thou shalt not deliver unto his master the servant which is escaped from his master unto thee:(KJV-1611) Deu 23:15 Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:16 ============ Deu 23:16 He shall dwell with thee, even among you, in that place which he shall choose in one of thy gates, where it liketh him best: thou shalt not oppress him.(KJV-1611) Deu 23:16 N'a kite l' viv avèk nou nan mitan pèp la, nan nenpòt ki lavil l'a chwazi, kote l'a pi pito. Pa janm pwofite sou li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:17 ============ Deu 23:17 There shall be no whore of the daughters of Israel, nor a sodomite of the sons of Israel.(KJV-1611) Deu 23:17 Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:18 ============ Deu 23:18 Thou shalt not bring the hire of a whore, or the price of a dog, into the house of the LORD thy God for any vow: for even both these are abomination unto the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 23:18 Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:19 ============ Deu 23:19 Thou shalt not lend upon usury to thy brother; usury of money, usury of victuals, usury of any thing that is lent upon usury:(KJV-1611) Deu 23:19 Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:20 ============ Deu 23:20 Unto a stranger thou mayest lend upon usury; but unto thy brother thou shalt not lend upon usury: that the LORD thy God may bless thee in all that thou settest thine hand to in the land whither thou goest to possess it.(KJV-1611) Deu 23:20 Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:21 ============ Deu 23:21 When thou shalt vow a vow unto the LORD thy God, thou shalt not slack to pay it: for the LORD thy God will surely require it of thee; and it would be sin in thee.(KJV-1611) Deu 23:21 Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:22 ============ Deu 23:22 But if thou shalt forbear to vow, it shall be no sin in thee.(KJV-1611) Deu 23:22 Si nou pa fè Seyè a ankenn pwomès, nanpwen peche nan sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:23 ============ Deu 23:23 That which is gone out of thy lips thou shalt keep and perform; even a freewill offering, according as thou hast vowed unto the LORD thy God, which thou hast promised with thy mouth.(KJV-1611) Deu 23:23 Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:24 ============ Deu 23:24 When thou comest into thy neighbour's vineyard, then thou mayest eat grapes thy fill at thine own pleasure; but thou shalt not put any in thy vessel.(KJV-1611) Deu 23:24 Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gen dwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 23:25 ============ Deu 23:25 When thou comest into the standing corn of thy neighbour, then thou mayest pluck the ears with thine hand; but thou shalt not move a sickle unto thy neighbour's standing corn.(KJV-1611) Deu 23:25 Si nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gen dwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:1 ============ Deu 24:1 When a man hath taken a wife, and married her, and it come to pass that she find no favour in his eyes, because he hath found some uncleanness in her: then let him write her a bill of divorcement, and give it in her hand, and send her out of his house.(KJV-1611) Deu 24:1 Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:2 ============ Deu 24:2 And when she is departed out of his house, she may go and be another man's wife.(KJV-1611) Deu 24:2 Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:3 ============ Deu 24:3 And if the latter husband hate her, and write her a bill of divorcement, and giveth it in her hand, and sendeth her out of his house; or if the latter husband die, which took her to be his wife;(KJV-1611) Deu 24:3 sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l', epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l' tounen lakay papa l' ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:4 ============ Deu 24:4 Her former husband, which sent her away, may not take her again to be his wife, after that she is defiled; for that is abomination before the LORD: and thou shalt not cause the land to sin, which the LORD thy God giveth thee for an inheritance.(KJV-1611) Deu 24:4 lè sa a, premye mari a p'ap ka marye avè l' ankò. Se pou li konsidere fanm lan tankou yon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. Paske si li marye avè l' apre sa, l'ap fè yon bagay Seyè a pa vle wè. Piga nou rale madichon sou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:5 ============ Deu 24:5 When a man hath taken a new wife, he shall not go out to war, neither shall he be charged with any business: but he shall be free at home one year, and shall cheer up his wife which he hath taken.(KJV-1611) Deu 24:5 Si yon nonm fèk marye, li pa fèt pou l' al nan lagè, ni yo pa bezwen mande l' fè ankenn travay nan sèvis piblik pandan ennan. Konsa, pandan tan sa a, l'a lib pou l' rete lakay li pou l' fè kè madanm li kontan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:6 ============ Deu 24:6 No man shall take the nether or the upper millstone to pledge: for he taketh a man's life to pledge.(KJV-1611) Deu 24:6 Lè n'ap prete yon moun lajan, nou pa gen dwa pran de wòl moulen li yo, pa menm yon sèl ladan yo, pou garanti. Si nou fè sa, se tankou si se te lavi moun lan menm nou te pran pou garanti.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:7 ============ Deu 24:7 If a man be found stealing any of his brethren of the children of Israel, and maketh merchandise of him, or selleth him; then that thief shall die; and thou shalt put evil away from among you.(KJV-1611) Deu 24:7 Si yo bare yon moun pèp Izrayèl ap kenbe yon moun pèp Izrayèl parèy li pou fè l' tounen esklav li osinon pou l' vann li, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:8 ============ Deu 24:8 Take heed in the plague of leprosy, that thou observe diligently, and do according to all that the priests the Levites shall teach you: as I commanded them, so ye shall observe to do.(KJV-1611) Deu 24:8 Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:9 ============ Deu 24:9 Remember what the LORD thy God did unto Miriam by the way, after that ye were come forth out of Egypt.(KJV-1611) Deu 24:9 Pa janm bliye sa Seyè a, Bondye nou an, te fè Miryam, lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:10 ============ Deu 24:10 When thou dost lend thy brother any thing, thou shalt not go into his house to fetch his pledge.(KJV-1611) Deu 24:10 Lè n'ap prete yon moun yon lajan sou garanti, nou pa gen dwa antre lakay li pou n' al pran sa l'ap ban nou pou garanti a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:11 ============ Deu 24:11 Thou shalt stand abroad, and the man to whom thou dost lend shall bring out the pledge abroad unto thee.(KJV-1611) Deu 24:11 N'a rete deyò, n'a tann li pote garanti a ban nou deyò a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:12 ============ Deu 24:12 And if the man be poor, thou shalt not sleep with his pledge:(KJV-1611) Deu 24:12 Si se yon nonm ki pòv, pa kite rad li ban nou pou garanti a pase nwit lakay nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:13 ============ Deu 24:13 In any case thou shalt deliver him the pledge again when the sun goeth down, that he may sleep in his own raiment, and bless thee: and it shall be righteousness unto thee before the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 24:13 Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:14 ============ Deu 24:14 Thou shalt not oppress an hired servant that is poor and needy, whether he be of thy brethren, or of thy strangers that are in thy land within thy gates:(KJV-1611) Deu 24:14 Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:15 ============ Deu 24:15 At his day thou shalt give him his hire, neither shall the sun go down upon it; for he is poor, and setteth his heart upon it: lest he cry against thee unto the LORD, and it be sin unto thee.(KJV-1611) Deu 24:15 Peye l' lajan l' chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l' viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Seyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:16 ============ Deu 24:16 The fathers shall not be put to death for the children, neither shall the children be put to death for the fathers: every man shall be put to death for his own sin.(KJV-1611) Deu 24:16 Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:17 ============ Deu 24:17 Thou shalt not pervert the judgment of the stranger, nor of the fatherless; nor take a widow's raiment to pledge:(KJV-1611) Deu 24:17 Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:18 ============ Deu 24:18 But thou shalt remember that thou wast a bondman in Egypt, and the LORD thy God redeemed thee thence: therefore I command thee to do this thing.(KJV-1611) Deu 24:18 Chonje nou menm tou nou te esklav nan peyi Lejip. Se Seyè a menm, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv regleman sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:19 ============ Deu 24:19 When thou cuttest down thine harvest in thy field, and hast forgot a sheaf in the field, thou shalt not go again to fetch it: it shall be for the stranger, for the fatherless, and for the widow: that the LORD thy God may bless thee in all the work of thine hands.(KJV-1611) Deu 24:19 Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:20 ============ Deu 24:20 When thou beatest thine olive tree, thou shalt not go over the boughs again: it shall be for the stranger, for the fatherless, and for the widow.(KJV-1611) Deu 24:20 Lè n'ap keyi grenn oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:21 ============ Deu 24:21 When thou gatherest the grapes of thy vineyard, thou shalt not glean it afterward: it shall be for the stranger, for the fatherless, and for the widow.(KJV-1611) Deu 24:21 Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 24:22 ============ Deu 24:22 And thou shalt remember that thou wast a bondman in the land of Egypt: therefore I command thee to do this thing.(KJV-1611) Deu 24:22 Se pou nou toujou chonje yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa mwen mande non pou nou swiv lòd mwen ban nou la a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:1 ============ Deu 25:1 If there be a controversy between men, and they come unto judgment, that the judges may judge them; then they shall justify the righteous, and condemn the wicked.(KJV-1611) Deu 25:1 Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:2 ============ Deu 25:2 And it shall be, if the wicked man be worthy to be beaten, that the judge shall cause him to lie down, and to be beaten before his face, according to his fault, by a certain number.(KJV-1611) Deu 25:2 Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l' kouche plat atè, epi, l'a devan je l', l'a fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:3 ============ Deu 25:3 Forty stripes he may give him, and not exceed: lest, if he should exceed, and beat him above these with many stripes, then thy brother should seem vile unto thee.(KJV-1611) Deu 25:3 Nou pa janm gen dwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l' twòp. Lè sa a, n'a avili l' devan tout moun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:4 ============ Deu 25:4 Thou shalt not muzzle the ox when he treadeth out the corn.(KJV-1611) Deu 25:4 Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:5 ============ Deu 25:5 If brethren dwell together, and one of them die, and have no child, the wife of the dead shall not marry without unto a stranger: her husband's brother shall go in unto her, and take her to him to wife, and perform the duty of an husband's brother unto her.(KJV-1611) Deu 25:5 Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madan defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l' al jwenn vèv la pou l' marye ak li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:6 ============ Deu 25:6 And it shall be, that the firstborn which she beareth shall succeed in the name of his brother which is dead, that his name be not put out of Israel.(KJV-1611) Deu 25:6 Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:7 ============ Deu 25:7 And if the man like not to take his brother's wife, then let his brother's wife go up to the gate unto the elders, and say, My husband's brother refuseth to raise up unto his brother a name in Israel, he will not perform the duty of my husband's brother.(KJV-1611) Deu 25:7 Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:8 ============ Deu 25:8 Then the elders of his city shall call him, and speak unto him: and if he stand to it, and say, I like not to take her;(KJV-1611) Deu 25:8 Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l'. Si li derefize marye avèk bèlsè a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:9 ============ Deu 25:9 Then shall his brother's wife come unto him in the presence of the elders, and loose his shoe from off his foot, and spit in his face, and shall answer and say, So shall it be done unto that man that will not build up his brother's house.(KJV-1611) Deu 25:9 bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l', epi l'a di: -Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:10 ============ Deu 25:10 And his name shall be called in Israel, The house of him that hath his shoe loosed.(KJV-1611) Deu 25:10 Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:11 ============ Deu 25:11 When men strive together one with another, and the wife of the one draweth near for to deliver her husband out of the hand of him that smiteth him, and putteth forth her hand, and taketh him by the secrets:(KJV-1611) Deu 25:11 Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l' sove mari l' anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l', li kenbe lòt lan nan pati li,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:12 ============ Deu 25:12 Then thou shalt cut off her hand, thine eye shall not pity her.(KJV-1611) Deu 25:12 se pou nou san pitye pou li: koupe men l' la pou la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:13 ============ Deu 25:13 Thou shalt not have in thy bag divers weights, a great and a small.(KJV-1611) Deu 25:13 Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:14 ============ Deu 25:14 Thou shalt not have in thine house divers measures, a great and a small.(KJV-1611) Deu 25:14 ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:15 ============ Deu 25:15 But thou shalt have a perfect and just weight, a perfect and just measure shalt thou have: that thy days may be lengthened in the land which the LORD thy God giveth thee.(KJV-1611) Deu 25:15 N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:16 ============ Deu 25:16 For all that do such things, and all that do unrighteously, are an abomination unto the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 25:16 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:17 ============ Deu 25:17 Remember what Amalek did unto thee by the way, when ye were come forth out of Egypt;(KJV-1611) Deu 25:17 Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap soti nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:18 ============ Deu 25:18 How he met thee by the way, and smote the hindmost of thee, even all that were feeble behind thee, when thou wast faint and weary; and he feared not God.(KJV-1611) Deu 25:18 Yo pa t' gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 25:19 ============ Deu 25:19 Therefore it shall be, when the LORD thy God hath given thee rest from all thine enemies round about, in the land which the LORD thy God giveth thee for an inheritance to possess it, that thou shalt blot out the remembrance of Amalek from under heaven; thou shalt not forget it.(KJV-1611) Deu 25:19 Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:1 ============ Deu 26:1 And it shall be, when thou art come in unto the land which the LORD thy God giveth thee for an inheritance, and possessest it, and dwellest therein;(KJV-1611) Deu 26:1 Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l',(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:2 ============ Deu 26:2 That thou shalt take of the first of all the fruit of the earth, which thou shalt bring of thy land that the LORD thy God giveth thee, and shalt put it in a basket, and shalt go unto the place which the LORD thy God shall choose to place his name there.(KJV-1611) Deu 26:2 chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:3 ============ Deu 26:3 And thou shalt go unto the priest that shall be in those days, and say unto him, I profess this day unto the LORD thy God, that I am come unto the country which the LORD sware unto our fathers for to give us.(KJV-1611) Deu 26:3 Li aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi l'a di l': -Mwen deklare jòdi a, devan Seyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:4 ============ Deu 26:4 And the priest shall take the basket out of thine hand, and set it down before the altar of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 26:4 Prèt la va pran panyen an nan men li, l'a depoze l' devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:5 ============ Deu 26:5 And thou shalt speak and say before the LORD thy God, A Syrian ready to perish was my father, and he went down into Egypt, and sojourned there with a few, and became there a nation, great, mighty, and populous:(KJV-1611) Deu 26:5 Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:6 ============ Deu 26:6 And the Egyptians evil entreated us, and afflicted us, and laid upon us hard bondage:(KJV-1611) Deu 26:6 Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:7 ============ Deu 26:7 And when we cried unto the LORD God of our fathers, the LORD heard our voice, and looked on our affliction, and our labour, and our oppression:(KJV-1611) Deu 26:7 Lè sa a, nou rele Seyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:8 ============ Deu 26:8 And the LORD brought us forth out of Egypt with a mighty hand, and with an outstretched arm, and with great terribleness, and with signs, and with wonders:(KJV-1611) Deu 26:8 Seyè a fè nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:9 ============ Deu 26:9 And he hath brought us into this place, and hath given us this land, even a land that floweth with milk and honey.(KJV-1611) Deu 26:9 Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:10 ============ Deu 26:10 And now, behold, I have brought the firstfruits of the land, which thou, O LORD, hast given me. And thou shalt set it before the LORD thy God, and worship before the LORD thy God:(KJV-1611) Deu 26:10 Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:11 ============ Deu 26:11 And thou shalt rejoice in every good thing which the LORD thy God hath given unto thee, and unto thine house, thou, and the Levite, and the stranger that is among you.(KJV-1611) Deu 26:11 Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:12 ============ Deu 26:12 When thou hast made an end of tithing all the tithes of thine increase the third year, which is the year of tithing, and hast given it unto the Levite, the stranger, the fatherless, and the widow, that they may eat within thy gates, and be filled;(KJV-1611) Deu 26:12 Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:13 ============ Deu 26:13 Then thou shalt say before the LORD thy God, I have brought away the hallowed things out of mine house, and also have given them unto the Levite, and unto the stranger, to the fatherless, and to the widow, according to all thy commandments which thou hast commanded me: I have not transgressed thy commandments, neither have I forgotten them.(KJV-1611) Deu 26:13 Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:14 ============ Deu 26:14 I have not eaten thereof in my mourning, neither have I taken away ought thereof for any unclean use, nor given ought thereof for the dead: but I have hearkened to the voice of the LORD my God, and have done according to all that thou hast commanded me.(KJV-1611) Deu 26:14 Mwen pa t' manje ladan yo lè mwen te nan lapenn, ni lè mwen pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou ou. Ni mwen pa t' wete anyen ladan l' pou m' fè ofrann bay mò. Seyè, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fè tou sa ou te ban m' lòd fè sou keksyon sa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:15 ============ Deu 26:15 Look down from thy holy habitation, from heaven, and bless thy people Israel, and the land which thou hast given us, as thou swarest unto our fathers, a land that floweth with milk and honey.(KJV-1611) Deu 26:15 Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:16 ============ Deu 26:16 This day the LORD thy God hath commanded thee to do these statutes and judgments: thou shalt therefore keep and do them with all thine heart, and with all thy soul.(KJV-1611) Deu 26:16 Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:17 ============ Deu 26:17 Thou hast avouched the LORD this day to be thy God, and to walk in his ways, and to keep his statutes, and his commandments, and his judgments, and to hearken unto his voice:(KJV-1611) Deu 26:17 Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:18 ============ Deu 26:18 And the LORD hath avouched thee this day to be his peculiar people, as he hath promised thee, and that thou shouldest keep all his commandments;(KJV-1611) Deu 26:18 Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 26:19 ============ Deu 26:19 And to make thee high above all nations which he hath made, in praise, and in name, and in honour; and that thou mayest be an holy people unto the LORD thy God, as he hath spoken.(KJV-1611) Deu 26:19 L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:1 ============ Deu 27:1 And Moses with the elders of Israel commanded the people, saying, Keep all the commandments which I command you this day.(KJV-1611) Deu 27:1 Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:2 ============ Deu 27:2 And it shall be on the day when ye shall pass over Jordan unto the land which the LORD thy God giveth thee, that thou shalt set thee up great stones, and plaister them with plaister:(KJV-1611) Deu 27:2 Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kèk gwo wòch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:3 ============ Deu 27:3 And thou shalt write upon them all the words of this law, when thou art passed over, that thou mayest go in unto the land which the LORD thy God giveth thee, a land that floweth with milk and honey; as the LORD God of thy fathers hath promised thee.(KJV-1611) Deu 27:3 Apre sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:4 ============ Deu 27:4 Therefore it shall be when ye be gone over Jordan, that ye shall set up these stones, which I command you this day, in mount Ebal, and thou shalt plaister them with plaister.(KJV-1611) Deu 27:4 lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, n'a kanpe wòch sa yo sou tèt mòn Ebal, jan mwen di nou li jòdi a. N'a blanchi yo ak lacho.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:5 ============ Deu 27:5 And there shalt thou build an altar unto the LORD thy God, an altar of stones: thou shalt not lift up any iron tool upon them.(KJV-1611) Deu 27:5 N'a pran wòch, n'a moute yon lòtèl la tou pou Seyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n' fè lòtèl la ak sizo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:6 ============ Deu 27:6 Thou shalt build the altar of the LORD thy God of whole stones: and thou shalt offer burnt offerings thereon unto the LORD thy God:(KJV-1611) Deu 27:6 Se pou n' pran wòch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lòtèl Seyè a, Bondye nou an. Se la n'a touye bèt nou ofri pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:7 ============ Deu 27:7 And thou shalt offer peace offerings, and shalt eat there, and rejoice before the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 27:7 Se la n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:8 ============ Deu 27:8 And thou shalt write upon the stones all the words of this law very plainly.(KJV-1611) Deu 27:8 N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:9 ============ Deu 27:9 And Moses and the priests the Levites spake unto all Israel, saying, Take heed, and hearken, O Israel; this day thou art become the people of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 27:9 Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Seyè a, Bondye nou an, nou ye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:10 ============ Deu 27:10 Thou shalt therefore obey the voice of the LORD thy God, and do his commandments and his statutes, which I command thee this day.(KJV-1611) Deu 27:10 Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:11 ============ Deu 27:11 And Moses charged the people the same day, saying,(KJV-1611) Deu 27:11 Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:12 ============ Deu 27:12 These shall stand upon mount Gerizim to bless the people, when ye are come over Jordan; Simeon, and Levi, and Judah, and Issachar, and Joseph, and Benjamin:(KJV-1611) Deu 27:12 -Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:13 ============ Deu 27:13 And these shall stand upon mount Ebal to curse; Reuben, Gad, and Asher, and Zebulun, Dan, and Naphtali.(KJV-1611) Deu 27:13 Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:14 ============ Deu 27:14 And the Levites shall speak, and say unto all the men of Israel with a loud voice,(KJV-1611) Deu 27:14 Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:15 ============ Deu 27:15 Cursed be the man that maketh any graven or molten image, an abomination unto the LORD, the work of the hands of the craftsman, and putteth it in a secret place. And all the people shall answer and say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:15 -Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:16 ============ Deu 27:16 Cursed be he that setteth light by his father or his mother. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:16 -Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:17 ============ Deu 27:17 Cursed be he that removeth his neighbour's landmark. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:17 -Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:18 ============ Deu 27:18 Cursed be he that maketh the blind to wander out of the way. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:18 -Madichon Bondye pou moun ki fè yon avèg pèdi chemen l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:19 ============ Deu 27:19 Cursed be he that perverteth the judgment of the stranger, fatherless, and widow. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:19 -Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:20 ============ Deu 27:20 Cursed be he that lieth with his father's wife; because he uncovereth his father's skirt. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:20 -Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:21 ============ Deu 27:21 Cursed be he that lieth with any manner of beast. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:21 -Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:22 ============ Deu 27:22 Cursed be he that lieth with his sister, the daughter of his father, or the daughter of his mother. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:22 -Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avèk sè li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:23 ============ Deu 27:23 Cursed be he that lieth with his mother in law. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:23 -Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:24 ============ Deu 27:24 Cursed be he that smiteth his neighbour secretly. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:24 -Madichon Bondye pou moun ki touye yon lòt moun Izrayèl parèy li an kachèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:25 ============ Deu 27:25 Cursed be he that taketh reward to slay an innocent person. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:25 -Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 27:26 ============ Deu 27:26 Cursed be he that confirmeth not all the words of this law to do them. And all the people shall say, Amen.(KJV-1611) Deu 27:26 -Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:1 ============ Deu 28:1 And it shall come to pass, if thou shalt hearken diligently unto the voice of the LORD thy God, to observe and to do all his commandments which I command thee this day, that the LORD thy God will set thee on high above all nations of the earth:(KJV-1611) Deu 28:1 Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:2 ============ Deu 28:2 And all these blessings shall come on thee, and overtake thee, if thou shalt hearken unto the voice of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 28:2 Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:3 ============ Deu 28:3 Blessed shalt thou be in the city, and blessed shalt thou be in the field.(KJV-1611) Deu 28:3 Seyè a va beni nou lavil kou andeyò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:4 ============ Deu 28:4 Blessed shall be the fruit of thy body, and the fruit of thy ground, and the fruit of thy cattle, the increase of thy kine, and the flocks of thy sheep.(KJV-1611) Deu 28:4 Seyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:5 ============ Deu 28:5 Blessed shall be thy basket and thy store.(KJV-1611) Deu 28:5 Seyè a va beni rekòt ble nou ak rekòt farin nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:6 ============ Deu 28:6 Blessed shalt thou be when thou comest in, and blessed shalt thou be when thou goest out.(KJV-1611) Deu 28:6 Seyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:7 ============ Deu 28:7 The LORD shall cause thine enemies that rise up against thee to be smitten before thy face: they shall come out against thee one way, and flee before thee seven ways.(KJV-1611) Deu 28:7 Seyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:8 ============ Deu 28:8 The LORD shall command the blessing upon thee in thy storehouses, and in all that thou settest thine hand unto; and he shall bless thee in the land which the LORD thy God giveth thee.(KJV-1611) Deu 28:8 Seyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:9 ============ Deu 28:9 The LORD shall establish thee an holy people unto himself, as he hath sworn unto thee, if thou shalt keep the commandments of the LORD thy God, and walk in his ways.(KJV-1611) Deu 28:9 Si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou fè, si nou viv jan li vle nou viv la, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te fè nou pwomès la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:10 ============ Deu 28:10 And all people of the earth shall see that thou art called by the name of the LORD; and they shall be afraid of thee.(KJV-1611) Deu 28:10 Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Seyè a te chwazi nou pou pote non l', y'a gen respè pou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:11 ============ Deu 28:11 And the LORD shall make thee plenteous in goods, in the fruit of thy body, and in the fruit of thy cattle, and in the fruit of thy ground, in the land which the LORD sware unto thy fathers to give thee.(KJV-1611) Deu 28:11 Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:12 ============ Deu 28:12 The LORD shall open unto thee his good treasure, the heaven to give the rain unto thy land in his season, and to bless all the work of thine hand: and thou shalt lend unto many nations, and thou shalt not borrow.(KJV-1611) Deu 28:12 L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:13 ============ Deu 28:13 And the LORD shall make thee the head, and not the tail; and thou shalt be above only, and thou shalt not be beneath; if that thou hearken unto the commandments of the LORD thy God, which I command thee this day, to observe and to do them:(KJV-1611) Deu 28:13 Seyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Seyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:14 ============ Deu 28:14 And thou shalt not go aside from any of the words which I command thee this day, to the right hand, or to the left, to go after other gods to serve them.(KJV-1611) Deu 28:14 san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n' ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:15 ============ Deu 28:15 But it shall come to pass, if thou wilt not hearken unto the voice of the LORD thy God, to observe to do all his commandments and his statutes which I command thee this day; that all these curses shall come upon thee, and overtake thee:(KJV-1611) Deu 28:15 Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:16 ============ Deu 28:16 Cursed shalt thou be in the city, and cursed shalt thou be in the field.(KJV-1611) Deu 28:16 Madichon Bondye va tonbe sou nou nan lavil kou andeyò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:17 ============ Deu 28:17 Cursed shall be thy basket and thy store.(KJV-1611) Deu 28:17 Madichon Bondye va tonbe sou rekòt ble nou ak sou rekòt farin nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:18 ============ Deu 28:18 Cursed shall be the fruit of thy body, and the fruit of thy land, the increase of thy kine, and the flocks of thy sheep.(KJV-1611) Deu 28:18 Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:19 ============ Deu 28:19 Cursed shalt thou be when thou comest in, and cursed shalt thou be when thou goest out.(KJV-1611) Deu 28:19 Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:20 ============ Deu 28:20 The LORD shall send upon thee cursing, vexation, and rebuke, in all that thou settest thine hand unto for to do, until thou be destroyed, and until thou perish quickly; because of the wickedness of thy doings, whereby thou hast forsaken me.(KJV-1611) Deu 28:20 Si nou fè bagay ki mal, si nou vire do bay Seyè a, l'ap voye tout kalite madichon sou nou: Nou p'ap konn sa pou n' fè, n'a gen kè sere nan tou sa n'ap fè jouk n'a rete konsa n'a fin disparèt nèt, paske nou te fè bagay ki mal, nou te vire do ba li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:21 ============ Deu 28:21 The LORD shall make the pestilence cleave unto thee, until he have consumed thee from off the land, whither thou goest to possess it.(KJV-1611) Deu 28:21 Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:22 ============ Deu 28:22 The LORD shall smite thee with a consumption, and with a fever, and with an inflammation, and with an extreme burning, and with the sword, and with blasting, and with mildew; and they shall pursue thee until thou perish.(KJV-1611) Deu 28:22 L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:23 ============ Deu 28:23 And thy heaven that is over thy head shall be brass, and the earth that is under thee shall be iron.(KJV-1611) Deu 28:23 Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:24 ============ Deu 28:24 The LORD shall make the rain of thy land powder and dust: from heaven shall it come down upon thee, until thou be destroyed.(KJV-1611) Deu 28:24 Nan plas lapli, Seyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:25 ============ Deu 28:25 The LORD shall cause thee to be smitten before thine enemies: thou shalt go out one way against them, and flee seven ways before them: and shalt be removed into all the kingdoms of the earth.(KJV-1611) Deu 28:25 L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:26 ============ Deu 28:26 And thy carcase shall be meat unto all fowls of the air, and unto the beasts of the earth, and no man shall fray them away.(KJV-1611) Deu 28:26 Lè n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pesonn pou pouse yo ale.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:27 ============ Deu 28:27 The LORD will smite thee with the botch of Egypt, and with the emerods, and with the scab, and with the itch, whereof thou canst not be healed.(KJV-1611) Deu 28:27 Seyè a va fè bouton leve sou tout kò nou, menm jan li te fè moun peyi Lejip yo, n'a gen apse, lagal, pyas, epi nou p'ap ka jwenn gerizon pou maladi po sa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:28 ============ Deu 28:28 The LORD shall smite thee with madness, and blindness, and astonishment of heart:(KJV-1611) Deu 28:28 Seyè a va fè nou pèdi tèt nou, nou p'ap konprann sa n'ap fè, nou p'ap konnen kote pou n' mete kò nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:29 ============ Deu 28:29 And thou shalt grope at noonday, as the blind gropeth in darkness, and thou shalt not prosper in thy ways: and thou shalt be only oppressed and spoiled evermore, and no man shall save thee.(KJV-1611) Deu 28:29 Gwo midi, n'a tatonnen tankou avèg k'ap mache nan fènwa. Nou p'ap jwenn rannman nan ankenn travay n'ap fè. Tout tan moun ap malmennen nou, y'ap vòlè nou, lèfini p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:30 ============ Deu 28:30 Thou shalt betroth a wife, and another man shall lie with her: thou shalt build an house, and thou shalt not dwell therein: thou shalt plant a vineyard, and shalt not gather the grapes thereof.(KJV-1611) Deu 28:30 N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:31 ============ Deu 28:31 Thine ox shall be slain before thine eyes, and thou shalt not eat thereof: thine ass shall be violently taken away from before thy face, and shall not be restored to thee: thy sheep shall be given unto thine enemies, and thou shalt have none to rescue them.(KJV-1611) Deu 28:31 Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l', yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:32 ============ Deu 28:32 Thy sons and thy daughters shall be given unto another people, and thine eyes shall look, and fail with longing for them all the day long; and there shall be no might in thine hand.(KJV-1611) Deu 28:32 N'a wè ak je nou y'ap pran pitit gason ak pitit fi nou yo bay moun lòt nasyon. Tout lè n'a anvi wè yo ankò, men p'ap gen anyen nou ka fè pou sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:33 ============ Deu 28:33 The fruit of thy land, and all thy labours, shall a nation which thou knowest not eat up; and thou shalt be only oppressed and crushed alway:(KJV-1611) Deu 28:33 Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:34 ============ Deu 28:34 So that thou shalt be mad for the sight of thine eyes which thou shalt see.(KJV-1611) Deu 28:34 Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:35 ============ Deu 28:35 The LORD shall smite thee in the knees, and in the legs, with a sore botch that cannot be healed, from the sole of thy foot unto the top of thy head.(KJV-1611) Deu 28:35 Seyè a va ban nou yon sèl malenng nan jenou ak sou kwis janm nou ki p'ap janm geri. Bouton ap parèt sou tout kò nou, depi nan pye jouk nan tèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:36 ============ Deu 28:36 The LORD shall bring thee, and thy king which thou shalt set over thee, unto a nation which neither thou nor thy fathers have known; and there shalt thou serve other gods, wood and stone.(KJV-1611) Deu 28:36 Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:37 ============ Deu 28:37 And thou shalt become an astonishment, a proverb, and a byword, among all nations whither the LORD shall lead thee.(KJV-1611) Deu 28:37 Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:38 ============ Deu 28:38 Thou shalt carry much seed out into the field, and shalt gather but little in; for the locust shall consume it.(KJV-1611) Deu 28:38 N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:39 ============ Deu 28:39 Thou shalt plant vineyards, and dress them, but shalt neither drink of the wine, nor gather the grapes; for the worms shall eat them.(KJV-1611) Deu 28:39 N'a plante jaden rezen, n'a okipe yo byen. Men, nou p'ap jwenn rezen ni pou nou rekòlte, ni pou fè diven pou nou bwè, paske vèmen va fin manje tout.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:40 ============ Deu 28:40 Thou shalt have olive trees throughout all thy coasts, but thou shalt not anoint thyself with the oil; for thine olive shall cast his fruit.(KJV-1611) Deu 28:40 Pye oliv va pouse toupatou nan peyi nou an, men nou p'ap gen yon ti degout lwil oliv, paske tout grenn oliv yo ap koule.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:41 ============ Deu 28:41 Thou shalt beget sons and daughters, but thou shalt not enjoy them; for they shall go into captivity.(KJV-1611) Deu 28:41 N'a fè pitit fi ak pitit gason, men yo p'ap pou nou, paske lènmi nou yo ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:42 ============ Deu 28:42 All thy trees and fruit of thy land shall the locust consume.(KJV-1611) Deu 28:42 Krikèt pral manje tout pyebwa nou yo ak tout ti plant ki nan jaden nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:43 ============ Deu 28:43 The stranger that is within thee shall get up above thee very high; and thou shalt come down very low.(KJV-1611) Deu 28:43 Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou va vin pi fò pase nou. Nou menm, chak jou, n'a pèdi fil.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:44 ============ Deu 28:44 He shall lend to thee, and thou shalt not lend to him: he shall be the head, and thou shalt be the tail.(KJV-1611) Deu 28:44 Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n' prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:45 ============ Deu 28:45 Moreover all these curses shall come upon thee, and shall pursue thee, and overtake thee, till thou be destroyed; because thou hearkenedst not unto the voice of the LORD thy God, to keep his commandments and his statutes which he commanded thee:(KJV-1611) Deu 28:45 Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:46 ============ Deu 28:46 And they shall be upon thee for a sign and for a wonder, and upon thy seed for ever.(KJV-1611) Deu 28:46 Madichon sa yo va sèvi ni pou nou ni pou pitit nou yo pou moutre nou kalite mèvèy ak mirak Bondye ka fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:47 ============ Deu 28:47 Because thou servedst not the LORD thy God with joyfulness, and with gladness of heart, for the abundance of all things;(KJV-1611) Deu 28:47 Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:48 ============ Deu 28:48 Therefore shalt thou serve thine enemies which the LORD shall send against thee, in hunger, and in thirst, and in nakedness, and in want of all things: and he shall put a yoke of iron upon thy neck, until he have destroyed thee.(KJV-1611) Deu 28:48 Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:49 ============ Deu 28:49 The LORD shall bring a nation against thee from far, from the end of the earth, as swift as the eagle flieth; a nation whose tongue thou shalt not understand;(KJV-1611) Deu 28:49 Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:50 ============ Deu 28:50 A nation of fierce countenance, which shall not regard the person of the old, nor shew favour to the young:(KJV-1611) Deu 28:50 Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:51 ============ Deu 28:51 And he shall eat the fruit of thy cattle, and the fruit of thy land, until thou be destroyed: which also shall not leave thee either corn, wine, or oil, or the increase of thy kine, or flocks of thy sheep, until he have destroyed thee.(KJV-1611) Deu 28:51 Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:52 ============ Deu 28:52 And he shall besiege thee in all thy gates, until thy high and fenced walls come down, wherein thou trustedst, throughout all thy land: and he shall besiege thee in all thy gates throughout all thy land, which the LORD thy God hath given thee.(KJV-1611) Deu 28:52 Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:53 ============ Deu 28:53 And thou shalt eat the fruit of thine own body, the flesh of thy sons and of thy daughters, which the LORD thy God hath given thee, in the siege, and in the straitness, wherewith thine enemies shall distress thee:(KJV-1611) Deu 28:53 Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:54 ============ Deu 28:54 So that the man that is tender among you, and very delicate, his eye shall be evil toward his brother, and toward the wife of his bosom, and toward the remnant of his children which he shall leave:(KJV-1611) Deu 28:54 Menm moun nou konnen ki pi bon nan mitan nou an, moun ki pa janm nan kont ak pesonn lan, enben menm li menm, l'a fèmen kè l', li p'ap konn frè, li p'ap konn madanm li te renmen an, ni ankenn pitit nan sa ki rete l' yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:55 ============ Deu 28:55 So that he will not give to any of them of the flesh of his children whom he shall eat: because he hath nothing left him in the siege, and in the straitness, wherewith thine enemies shall distress thee in all thy gates.(KJV-1611) Deu 28:55 pou li pa bay pesonn nan vyann pitit li l'ap manje a, paske ak lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere nan mitan lavil nou yo, ata li menm, l'a sitèlman grangou, l'a blije manje pwòp pitit li, epi li p'ap bay pesonn ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:56 ============ Deu 28:56 The tender and delicate woman among you, which would not adventure to set the sole of her foot upon the ground for delicateness and tenderness, her eye shall be evil toward the husband of her bosom, and toward her son, and toward her daughter,(KJV-1611) Deu 28:56 Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l', li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:57 ============ Deu 28:57 And toward her young one that cometh out from between her feet, and toward her children which she shall bear: for she shall eat them for want of all things secretly in the siege and straitness, wherewith thine enemy shall distress thee in thy gates.(KJV-1611) Deu 28:57 Pou li pa separe ak yo, l'a kache kò l' pou yo pa wè l' lè l'ap manje pitit li fenk fè a, ansanm ak tout manman vant lan. Paske, avèk lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere, p'ap gen anyen pou manje. Lè sa a, l'a kache kò l' pou l' pa bay yo anyen nan sa l'ap manje a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:58 ============ Deu 28:58 If thou wilt not observe to do all the words of this law that are written in this book, that thou mayest fear this glorious and fearful name, THE LORD THY GOD;(KJV-1611) Deu 28:58 Si nou pa swiv tout regleman ki ekri nan liv lalwa sa a, si nou pa gen krentif pou Bondye nou an, Seyè ki gen anpil pouvwa a, Bondye moun fèt pou respekte a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:59 ============ Deu 28:59 Then the LORD will make thy plagues wonderful, and the plagues of thy seed, even great plagues, and of long continuance, and sore sicknesses, and of long continuance.(KJV-1611) Deu 28:59 Seyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:60 ============ Deu 28:60 Moreover he will bring upon thee all the diseases of Egypt, which thou wast afraid of; and they shall cleave unto thee.(KJV-1611) Deu 28:60 L'a voye sou nou ankò tout malè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo, malè ki te fè nou tranble yo. Nou p'ap janm ka soti anba yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:61 ============ Deu 28:61 Also every sickness, and every plague, which is not written in the book of this law, them will the LORD bring upon thee, until thou be destroyed.(KJV-1611) Deu 28:61 Sa ki pi rèd ankò, Seyè a va voye sou nou tout kalite epidemi ak maladi yo pa pale nan liv lalwa Seyè a jouk la fini nèt avèk nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:62 ============ Deu 28:62 And ye shall be left few in number, whereas ye were as the stars of heaven for multitude; because thou wouldest not obey the voice of the LORD thy God.(KJV-1611) Deu 28:62 Epi nou menm, moun pèp Izrayèl yo, ki te anpil tankou zetwal ki nan syèl la, n'a tounen yon ti ponyen moun, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, te di nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:63 ============ Deu 28:63 And it shall come to pass, that as the LORD rejoiced over you to do you good, and to multiply you; so the LORD will rejoice over you to destroy you, and to bring you to nought; and ye shall be plucked from off the land whither thou goest to possess it.(KJV-1611) Deu 28:63 Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:64 ============ Deu 28:64 And the LORD shall scatter thee among all people, from the one end of the earth even unto the other; and there thou shalt serve other gods, which neither thou nor thy fathers have known, even wood and stone.(KJV-1611) Deu 28:64 Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:65 ============ Deu 28:65 And among these nations shalt thou find no ease, neither shall the sole of thy foot have rest: but the LORD shall give thee there a trembling heart, and failing of eyes, and sorrow of mind:(KJV-1611) Deu 28:65 Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Seyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:66 ============ Deu 28:66 And thy life shall hang in doubt before thee; and thou shalt fear day and night, and shalt have none assurance of thy life:(KJV-1611) Deu 28:66 Lavi nou ap toujou an danje. Lajounen kou lannwit, n'ap nan laperèz, n'ap pè pou lanmò pa pran nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:67 ============ Deu 28:67 In the morning thou shalt say, Would God it were even! and at even thou shalt say, Would God it were morning! for the fear of thine heart wherewith thou shalt fear, and for the sight of thine eyes which thou shalt see.(KJV-1611) Deu 28:67 Devan bagay n'a wè k'ap pase devan je nou, n'a gen yon sèl laperèz nan kè nou, kè nou va bat bip-bip! Chak maten n'a mande kilè aswè va rive. Chak aswè n'a mande kilè la jou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 28:68 ============ Deu 28:68 And the LORD shall bring thee into Egypt again with ships, by the way whereof I spake unto thee, Thou shalt see it no more again: and there ye shall be sold unto your enemies for bondmen and bondwomen, and no man shall buy you.(KJV-1611) Deu 28:68 Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:1 ============ Deu 29:1 These are the words of the covenant, which the LORD commanded Moses to make with the children of Israel in the land of Moab, beside the covenant which he made with them in Horeb.(KJV-1611) Deu 29:1 Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:2 ============ Deu 29:2 And Moses called unto all Israel, and said unto them, Ye have seen all that the LORD did before your eyes in the land of Egypt unto Pharaoh, and unto all his servants, and unto all his land;(KJV-1611) Deu 29:2 Moyiz fè rele tout pèp Izrayèl la, li di yo konsa: -Nou wè ak je nou tou sa Seyè a te fè wa peyi Lejip la, moun ki t'ap travay ak li yo ak tout peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:3 ============ Deu 29:3 The great temptations which thine eyes have seen, the signs, and those great miracles:(KJV-1611) Deu 29:3 Nou wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:4 ============ Deu 29:4 Yet the LORD hath not given you an heart to perceive, and eyes to see, and ears to hear, unto this day.(KJV-1611) Deu 29:4 Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:5 ============ Deu 29:5 And I have led you forty years in the wilderness: your clothes are not waxen old upon you, and thy shoe is not waxen old upon thy foot.(KJV-1611) Deu 29:5 Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:6 ============ Deu 29:6 Ye have not eaten bread, neither have ye drunk wine or strong drink: that ye might know that I am the LORD your God.(KJV-1611) Deu 29:6 Nou pa t' gen pen pou nou manje, ni diven, ni ankenn bwason pou nou bwè, men Seyè a te ban nou tou sa nou bezwen pou n' te ka konnen se li menm, Seyè a, ki Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:7 ============ Deu 29:7 And when ye came unto this place, Sihon the king of Heshbon, and Og the king of Bashan, came out against us unto battle, and we smote them:(KJV-1611) Deu 29:7 Rive nou rive isit la, Siyon, wa Esbon an ak Og, wa Bazan an, soti vin atake nou. Nou bat yo byen bat.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:8 ============ Deu 29:8 And we took their land, and gave it for an inheritance unto the Reubenites, and to the Gadites, and to the half tribe of Manasseh.(KJV-1611) Deu 29:8 Nou pran peyi yo a bay moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo pou yo rete.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:9 ============ Deu 29:9 Keep therefore the words of this covenant, and do them, that ye may prosper in all that ye do.(KJV-1611) Deu 29:9 N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:10 ============ Deu 29:10 Ye stand this day all of you before the LORD your God; your captains of your tribes, your elders, and your officers, with all the men of Israel,(KJV-1611) Deu 29:10 Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:11 ============ Deu 29:11 Your little ones, your wives, and thy stranger that is in thy camp, from the hewer of thy wood unto the drawer of thy water:(KJV-1611) Deu 29:11 tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:12 ============ Deu 29:12 That thou shouldest enter into covenant with the LORD thy God, and into his oath, which the LORD thy God maketh with thee this day:(KJV-1611) Deu 29:12 nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:13 ============ Deu 29:13 That he may establish thee to day for a people unto himself, and that he may be unto thee a God, as he hath said unto thee, and as he hath sworn unto thy fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob.(KJV-1611) Deu 29:13 Konsa depi jòdi a, se pèp li nou ye, se Bondye pa nou li ye, jan l' te di l' la, jan l' te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:14 ============ Deu 29:14 Neither with you only do I make this covenant and this oath;(KJV-1611) Deu 29:14 Men, se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n' kenbe a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:15 ============ Deu 29:15 But with him that standeth here with us this day before the LORD our God, and also with him that is not here with us this day:(KJV-1611) Deu 29:15 Men se pa sèlman ak nou tout ki la jòdi a devan mwen, men tou se avèk tout pitit nou yo ki poko fèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:16 ============ Deu 29:16 (For ye know how we have dwelt in the land of Egypt; and how we came through the nations which ye passed by;(KJV-1611) Deu 29:16 Nou konnen byen pwòp ki kalite lavi nou t'ap mennen nan pèyi Lejip la ak ki jan nou te pase nan mitan moun lòt nasyon nou te kontre sou wout nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:17 ============ Deu 29:17 And ye have seen their abominations, and their idols, wood and stone, silver and gold, which were among them:)(KJV-1611) Deu 29:17 Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:18 ============ Deu 29:18 Lest there should be among you man, or woman, or family, or tribe, whose heart turneth away this day from the LORD our God, to go and serve the gods of these nations; lest there should be among you a root that beareth gall and wormwood;(KJV-1611) Deu 29:18 Piga pesonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan ankenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Seyè a, Bondye nou an, pou y' al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pesonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:19 ============ Deu 29:19 And it come to pass, when he heareth the words of this curse, that he bless himself in his heart, saying, I shall have peace, though I walk in the imagination of mine heart, to add drunkenness to thirst:(KJV-1611) Deu 29:19 Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:20 ============ Deu 29:20 The LORD will not spare him, but then the anger of the LORD and his jealousy shall smoke against that man, and all the curses that are written in this book shall lie upon him, and the LORD shall blot out his name from under heaven.(KJV-1611) Deu 29:20 Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:21 ============ Deu 29:21 And the LORD shall separate him unto evil out of all the tribes of Israel, according to all the curses of the covenant that are written in this book of the law:(KJV-1611) Deu 29:21 Seyè a va wete l' nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l' dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Seyè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:22 ============ Deu 29:22 So that the generation to come of your children that shall rise up after you, and the stranger that shall come from a far land, shall say, when they see the plagues of that land, and the sicknesses which the LORD hath laid upon it;(KJV-1611) Deu 29:22 Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap soti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Seyè a voye nan peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:23 ============ Deu 29:23 And that the whole land thereof is brimstone, and salt, and burning, that it is not sown, nor beareth, nor any grass groweth therein, like the overthrow of Sodom, and Gomorrah, Admah, and Zeboim, which the LORD overthrew in his anger, and in his wrath:(KJV-1611) Deu 29:23 Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:24 ============ Deu 29:24 Even all nations shall say, Wherefore hath the LORD done thus unto this land? what meaneth the heat of this great anger?(KJV-1611) Deu 29:24 Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:25 ============ Deu 29:25 Then men shall say, Because they have forsaken the covenant of the LORD God of their fathers, which he made with them when he brought them forth out of the land of Egypt:(KJV-1611) Deu 29:25 Y'a reponn yo: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:26 ============ Deu 29:26 For they went and served other gods, and worshipped them, gods whom they knew not, and whom he had not given unto them:(KJV-1611) Deu 29:26 Yo leve al sèvi lòt bondye yo pa t' janm konnen anvan. Y' al mete ajenou devan bondye Seyè a pa t' ba yo pou yo sèvi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:27 ============ Deu 29:27 And the anger of the LORD was kindled against this land, to bring upon it all the curses that are written in this book:(KJV-1611) Deu 29:27 Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:28 ============ Deu 29:28 And the LORD rooted them out of their land in anger, and in wrath, and in great indignation, and cast them into another land, as it is this day.(KJV-1611) Deu 29:28 Seyè a fè kòlè, li move, li fache, li rache yo met deyò nan peyi yo a, l' al jete yo nan yon lòt peyi etranje kote yo ye koulye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 29:29 ============ Deu 29:29 The secret things belong unto the LORD our God: but those things which are revealed belong unto us and to our children for ever, that we may do all the words of this law.(KJV-1611) Deu 29:29 Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:1 ============ Deu 30:1 And it shall come to pass, when all these things are come upon thee, the blessing and the curse, which I have set before thee, and thou shalt call them to mind among all the nations, whither the LORD thy God hath driven thee,(KJV-1611) Deu 30:1 Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:2 ============ Deu 30:2 And shalt return unto the LORD thy God, and shalt obey his voice according to all that I command thee this day, thou and thy children, with all thine heart, and with all thy soul;(KJV-1611) Deu 30:2 si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:3 ============ Deu 30:3 That then the LORD thy God will turn thy captivity, and have compassion upon thee, and will return and gather thee from all the nations, whither the LORD thy God hath scattered thee.(KJV-1611) Deu 30:3 enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:4 ============ Deu 30:4 If any of thine be driven out unto the outmost parts of heaven, from thence will the LORD thy God gather thee, and from thence will he fetch thee:(KJV-1611) Deu 30:4 Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:5 ============ Deu 30:5 And the LORD thy God will bring thee into the land which thy fathers possessed, and thou shalt possess it; and he will do thee good, and multiply thee above thy fathers.(KJV-1611) Deu 30:5 Seyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l' pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l' te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:6 ============ Deu 30:6 And the LORD thy God will circumcise thine heart, and the heart of thy seed, to love the LORD thy God with all thine heart, and with all thy soul, that thou mayest live.(KJV-1611) Deu 30:6 Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:7 ============ Deu 30:7 And the LORD thy God will put all these curses upon thine enemies, and on them that hate thee, which persecuted thee.(KJV-1611) Deu 30:7 Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:8 ============ Deu 30:8 And thou shalt return and obey the voice of the LORD, and do all his commandments which I command thee this day.(KJV-1611) Deu 30:8 Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:9 ============ Deu 30:9 And the LORD thy God will make thee plenteous in every work of thine hand, in the fruit of thy body, and in the fruit of thy cattle, and in the fruit of thy land, for good: for the LORD will again rejoice over thee for good, as he rejoiced over thy fathers:(KJV-1611) Deu 30:9 Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l' fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:10 ============ Deu 30:10 If thou shalt hearken unto the voice of the LORD thy God, to keep his commandments and his statutes which are written in this book of the law, and if thou turn unto the LORD thy God with all thine heart, and with all thy soul.(KJV-1611) Deu 30:10 Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:11 ============ Deu 30:11 For this commandment which I command thee this day, it is not hidden from thee, neither is it far off.(KJV-1611) Deu 30:11 Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:12 ============ Deu 30:12 It is not in heaven, that thou shouldest say, Who shall go up for us to heaven, and bring it unto us, that we may hear it, and do it?(KJV-1611) Deu 30:12 Se pa nan syèl la li ye pou n' ta di: Kilès ki pral moute al chache l' nan syèl la pou fè nou tande l', pou n' ka fè sa l' mande nou fè a?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:13 ============ Deu 30:13 Neither is it beyond the sea, that thou shouldest say, Who shall go over the sea for us, and bring it unto us, that we may hear it, and do it?(KJV-1611) Deu 30:13 Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:14 ============ Deu 30:14 But the word is very nigh unto thee, in thy mouth, and in thy heart, that thou mayest do it.(KJV-1611) Deu 30:14 Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l' mande nou fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:15 ============ Deu 30:15 See, I have set before thee this day life and good, and death and evil;(KJV-1611) Deu 30:15 Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:16 ============ Deu 30:16 In that I command thee this day to love the LORD thy God, to walk in his ways, and to keep his commandments and his statutes and his judgments, that thou mayest live and multiply: and the LORD thy God shall bless thee in the land whither thou goest to possess it.(KJV-1611) Deu 30:16 Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:17 ============ Deu 30:17 But if thine heart turn away, so that thou wilt not hear, but shalt be drawn away, and worship other gods, and serve them;(KJV-1611) Deu 30:17 Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:18 ============ Deu 30:18 I denounce unto you this day, that ye shall surely perish, and that ye shall not prolong your days upon the land, whither thou passest over Jordan to go to possess it.(KJV-1611) Deu 30:18 m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:19 ============ Deu 30:19 I call heaven and earth to record this day against you, that I have set before you life and death, blessing and cursing: therefore choose life, that both thou and thy seed may live:(KJV-1611) Deu 30:19 Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 30:20 ============ Deu 30:20 That thou mayest love the LORD thy God, and that thou mayest obey his voice, and that thou mayest cleave unto him: for he is thy life, and the length of thy days: that thou mayest dwell in the land which the LORD sware unto thy fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob, to give them.(KJV-1611) Deu 30:20 renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:1 ============ Deu 31:1 And Moses went and spake these words unto all Israel.(KJV-1611) Deu 31:1 Moyiz pale ankò ak tout pèp Izrayèl la, li di yo:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:2 ============ Deu 31:2 And he said unto them, I am an hundred and twenty years old this day; I can no more go out and come in: also the LORD hath said unto me, Thou shalt not go over this Jordan.(KJV-1611) Deu 31:2 -Koulye a, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m' fè anyen ankò. Lèfini, Seyè a te tou di m' mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:3 ============ Deu 31:3 The LORD thy God, he will go over before thee, and he will destroy these nations from before thee, and thou shalt possess them: and Joshua, he shall go over before thee, as the LORD hath said.(KJV-1611) Deu 31:3 Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:4 ============ Deu 31:4 And the LORD shall do unto them as he did to Sihon and to Og, kings of the Amorites, and unto the land of them, whom he destroyed.(KJV-1611) Deu 31:4 Seyè a va detwi nasyon sa yo nèt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nèt ale.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:5 ============ Deu 31:5 And the LORD shall give them up before your face, that ye may do unto them according unto all the commandments which I have commanded you.(KJV-1611) Deu 31:5 Seyè a pral lage yo nan men nou. Lè sa a, se pou nou aji avèk yo jan Seyè a te ban nou lòd aji ak yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:6 ============ Deu 31:6 Be strong and of a good courage, fear not, nor be afraid of them: for the LORD thy God, he it is that doth go with thee; he will not fail thee, nor forsake thee.(KJV-1611) Deu 31:6 Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:7 ============ Deu 31:7 And Moses called unto Joshua, and said unto him in the sight of all Israel, Be strong and of a good courage: for thou must go with this people unto the land which the LORD hath sworn unto their fathers to give them; and thou shalt cause them to inherit it.(KJV-1611) Deu 31:7 Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:8 ============ Deu 31:8 And the LORD, he it is that doth go before thee; he will be with thee, he will not fail thee, neither forsake thee: fear not, neither be dismayed.(KJV-1611) Deu 31:8 Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:9 ============ Deu 31:9 And Moses wrote this law, and delivered it unto the priests the sons of Levi, which bare the ark of the covenant of the LORD, and unto all the elders of Israel.(KJV-1611) Deu 31:9 Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:10 ============ Deu 31:10 And Moses commanded them, saying, At the end of every seven years, in the solemnity of the year of release, in the feast of tabernacles,(KJV-1611) Deu 31:10 Moyiz ba yo lòd sa a: -Chak sètan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:11 ============ Deu 31:11 When all Israel is come to appear before the LORD thy God in the place which he shall choose, thou shalt read this law before all Israel in their hearing.(KJV-1611) Deu 31:11 lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:12 ============ Deu 31:12 Gather the people together, men and women, and children, and thy stranger that is within thy gates, that they may hear, and that they may learn, and fear the LORD your God, and observe to do all the words of this law:(KJV-1611) Deu 31:12 N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:13 ============ Deu 31:13 And that their children, which have not known any thing, may hear, and learn to fear the LORD your God, as long as ye live in the land whither ye go over Jordan to possess it.(KJV-1611) Deu 31:13 Se konsa, pitit yo ki pa t' janm konn lalwa a va tande l'. Y'a aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:14 ============ Deu 31:14 And the LORD said unto Moses, Behold, thy days approach that thou must die: call Joshua, and present yourselves in the tabernacle of the congregation, that I may give him a charge. And Moses and Joshua went, and presented themselves in the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) Deu 31:14 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:15 ============ Deu 31:15 And the LORD appeared in the tabernacle in a pillar of a cloud: and the pillar of the cloud stood over the door of the tabernacle.(KJV-1611) Deu 31:15 Seyè a parèt devan yo anndan Tant Randevou a, nan yon nwaj ki te gen fòm yon gwo poto devan pòt tant lan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:16 ============ Deu 31:16 And the LORD said unto Moses, Behold, thou shalt sleep with thy fathers; and this people will rise up, and go a whoring after the gods of the strangers of the land, whither they go to be among them, and will forsake me, and break my covenant which I have made with them.(KJV-1611) Deu 31:16 Seyè a di Moyiz: -Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y' al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m', yo pral kase kontra m' te pase avèk yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:17 ============ Deu 31:17 Then my anger shall be kindled against them in that day, and I will forsake them, and I will hide my face from them, and they shall be devoured, and many evils and troubles shall befall them; so that they will say in that day, Are not these evils come upon us, because our God is not among us?(KJV-1611) Deu 31:17 Lè sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:18 ============ Deu 31:18 And I will surely hide my face in that day for all the evils which they shall have wrought, in that they are turned unto other gods.(KJV-1611) Deu 31:18 Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:19 ============ Deu 31:19 Now therefore write ye this song for you, and teach it the children of Israel: put it in their mouths, that this song may be a witness for me against the children of Israel.(KJV-1611) Deu 31:19 Koulye a, ekri chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l' ka nan bouch yo tout, epi pou l' sa sèvi m' temwen kont yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:20 ============ Deu 31:20 For when I shall have brought them into the land which I sware unto their fathers, that floweth with milk and honey; and they shall have eaten and filled themselves, and waxen fat; then will they turn unto other gods, and serve them, and provoke me, and break my covenant.(KJV-1611) Deu 31:20 Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:21 ============ Deu 31:21 And it shall come to pass, when many evils and troubles are befallen them, that this song shall testify against them as a witness; for it shall not be forgotten out of the mouths of their seed: for I know their imagination which they go about, even now, before I have brought them into the land which I sware.(KJV-1611) Deu 31:21 Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:22 ============ Deu 31:22 Moses therefore wrote this song the same day, and taught it the children of Israel.(KJV-1611) Deu 31:22 Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pèp Izrayèl yo li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:23 ============ Deu 31:23 And he gave Joshua the son of Nun a charge, and said, Be strong and of a good courage: for thou shalt bring the children of Israel into the land which I sware unto them: and I will be with thee.(KJV-1611) Deu 31:23 Apre sa, Seyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l' konsa: -Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:24 ============ Deu 31:24 And it came to pass, when Moses had made an end of writing the words of this law in a book, until they were finished,(KJV-1611) Deu 31:24 Lè Moyiz fin ekri tout pawòl lalwa Bondye a nan yon liv san li pa sote anyen,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:25 ============ Deu 31:25 That Moses commanded the Levites, which bare the ark of the covenant of the LORD, saying,(KJV-1611) Deu 31:25 li rele moun Levi ki te reskonsab pou pote Bwat Kontra Seyè a, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:26 ============ Deu 31:26 Take this book of the law, and put it in the side of the ark of the covenant of the LORD your God, that it may be there for a witness against thee.(KJV-1611) Deu 31:26 -Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:27 ============ Deu 31:27 For I know thy rebellion, and thy stiff neck: behold, while I am yet alive with you this day, ye have been rebellious against the LORD; and how much more after my death?(KJV-1611) Deu 31:27 Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si koulye a, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Seyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:28 ============ Deu 31:28 Gather unto me all the elders of your tribes, and your officers, that I may speak these words in their ears, and call heaven and earth to record against them.(KJV-1611) Deu 31:28 Sanble bò kote m' tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m' fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen sa mwen pral di nou la a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:29 ============ Deu 31:29 For I know that after my death ye will utterly corrupt yourselves, and turn aside from the way which I have commanded you; and evil will befall you in the latter days; because ye will do evil in the sight of the LORD, to provoke him to anger through the work of your hands.(KJV-1611) Deu 31:29 Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 31:30 ============ Deu 31:30 And Moses spake in the ears of all the congregation of Israel the words of this song, until they were ended.(KJV-1611) Deu 31:30 Lè sa a, Moyiz pran resite byen fò tout chante sa a, depi nan konmansman jouk li bout, devan tout moun pèp Izrayèl yo ki te reyini pou yo te ka tande sa l'ap di a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:1 ============ Deu 32:1 Give ear, O ye heavens, and I will speak; and hear, O earth, the words of my mouth.(KJV-1611) Deu 32:1 Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:2 ============ Deu 32:2 My doctrine shall drop as the rain, my speech shall distil as the dew, as the small rain upon the tender herb, and as the showers upon the grass:(KJV-1611) Deu 32:2 Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:3 ============ Deu 32:3 Because I will publish the name of the LORD: ascribe ye greatness unto our God.(KJV-1611) Deu 32:3 Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:4 ============ Deu 32:4 He is the Rock, his work is perfect: for all his ways are judgment: a God of truth and without iniquity, just and right is he.(KJV-1611) Deu 32:4 Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:5 ============ Deu 32:5 They have corrupted themselves, their spot is not the spot of his children: they are a perverse and crooked generation.(KJV-1611) Deu 32:5 Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:6 ============ Deu 32:6 Do ye thus requite the LORD, O foolish people and unwise? is not he thy father that hath bought thee? hath he not made thee, and established thee?(KJV-1611) Deu 32:6 Se konsa nou di Seyè a mèsi pou sa l' fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:7 ============ Deu 32:7 Remember the days of old, consider the years of many generations: ask thy father, and he will shew thee; thy elders, and they will tell thee.(KJV-1611) Deu 32:7 Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sak te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:8 ============ Deu 32:8 When the Most High divided to the nations their inheritance, when he separated the sons of Adam, he set the bounds of the people according to the number of the children of Israel.(KJV-1611) Deu 32:8 Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:9 ============ Deu 32:9 For the LORD's portion is his people; Jacob is the lot of his inheritance.(KJV-1611) Deu 32:9 Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:10 ============ Deu 32:10 He found him in a desert land, and in the waste howling wilderness; he led him about, he instructed him, he kept him as the apple of his eye.(KJV-1611) Deu 32:10 Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:11 ============ Deu 32:11 As an eagle stirreth up her nest, fluttereth over her young, spreadeth abroad her wings, taketh them, beareth them on her wings:(KJV-1611) Deu 32:11 Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l' pou yo pa tonbe.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:12 ============ Deu 32:12 So the LORD alone did lead him, and there was no strange god with him.(KJV-1611) Deu 32:12 Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:13 ============ Deu 32:13 He made him ride on the high places of the earth, that he might eat the increase of the fields; and he made him to suck honey out of the rock, and oil out of the flinty rock;(KJV-1611) Deu 32:13 Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:14 ============ Deu 32:14 Butter of kine, and milk of sheep, with fat of lambs, and rams of the breed of Bashan, and goats, with the fat of kidneys of wheat; and thou didst drink the pure blood of the grape.(KJV-1611) Deu 32:14 Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:15 ============ Deu 32:15 But Jeshurun waxed fat, and kicked: thou art waxen fat, thou art grown thick, thou art covered with fatness; then he forsook God which made him, and lightly esteemed the Rock of his salvation.(KJV-1611) Deu 32:15 Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:16 ============ Deu 32:16 They provoked him to jealousy with strange gods, with abominations provoked they him to anger.(KJV-1611) Deu 32:16 Y' al adore bondye lòt nasyon. Yo fè Seyè a fè jalouzi, y' al fè sa ki mal, yo fè l' fè kòlè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:17 ============ Deu 32:17 They sacrificed unto devils, not to God; to gods whom they knew not, to new gods that came newly up, whom your fathers feared not.(KJV-1611) Deu 32:17 Y' al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pa t' janm konnen anvan, lòt bondye ki fèk parèt, bondye zansèt yo pa t' janm gen krentif.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:18 ============ Deu 32:18 Of the Rock that begat thee thou art unmindful, and hast forgotten God that formed thee.(KJV-1611) Deu 32:18 Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:19 ============ Deu 32:19 And when the LORD saw it, he abhorred them, because of the provoking of his sons, and of his daughters.(KJV-1611) Deu 32:19 Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:20 ============ Deu 32:20 And he said, I will hide my face from them, I will see what their end shall be: for they are a very froward generation, children in whom is no faith.(KJV-1611) Deu 32:20 Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:21 ============ Deu 32:21 They have moved me to jealousy with that which is not God; they have provoked me to anger with their vanities: and I will move them to jealousy with those which are not a people; I will provoke them to anger with a foolish nation.(KJV-1611) Deu 32:21 Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:22 ============ Deu 32:22 For a fire is kindled in mine anger, and shall burn unto the lowest hell, and shall consume the earth with her increase, and set on fire the foundations of the mountains.(KJV-1611) Deu 32:22 Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:23 ============ Deu 32:23 I will heap mischiefs upon them; I will spend mine arrows upon them.(KJV-1611) Deu 32:23 M'ap fè yon seri malè tonbe sou yo. M'ap voye tout flèch mwen yo sou yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:24 ============ Deu 32:24 They shall be burnt with hunger, and devoured with burning heat, and with bitter destruction: I will also send the teeth of beasts upon them, with the poison of serpents of the dust.(KJV-1611) Deu 32:24 Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:25 ============ Deu 32:25 The sword without, and terror within, shall destroy both the young man and the virgin, the suckling also with the man of gray hairs.(KJV-1611) Deu 32:25 Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:26 ============ Deu 32:26 I said, I would scatter them into corners, I would make the remembrance of them to cease from among men:(KJV-1611) Deu 32:26 Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:27 ============ Deu 32:27 Were it not that I feared the wrath of the enemy, lest their adversaries should behave themselves strangely, and lest they should say, Our hand is high, and the LORD hath not done all this.(KJV-1611) Deu 32:27 Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m' yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouraj yo ki fè sa, pou yo pa di: Seyè a pa gen anyen pou l' wè nan sa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:28 ============ Deu 32:28 For they are a nation void of counsel, neither is there any understanding in them.(KJV-1611) Deu 32:28 Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:29 ============ Deu 32:29 O that they were wise, that they understood this, that they would consider their latter end!(KJV-1611) Deu 32:29 Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:30 ============ Deu 32:30 How should one chase a thousand, and two put ten thousand to flight, except their Rock had sold them, and the LORD had shut them up?(KJV-1611) Deu 32:30 Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:31 ============ Deu 32:31 For their rock is not as our Rock, even our enemies themselves being judges.(KJV-1611) Deu 32:31 Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:32 ============ Deu 32:32 For their vine is of the vine of Sodom, and of the fields of Gomorrah: their grapes are grapes of gall, their clusters are bitter:(KJV-1611) Deu 32:32 Ou ta di se menm ras moun Sodòm ak Gomò yo ye. Yo tankou pye rezen k'ap donnen rezen anmè, rezen ki plen pwazon.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:33 ============ Deu 32:33 Their wine is the poison of dragons, and the cruel venom of asps.(KJV-1611) Deu 32:33 Diven yo tankou pwazon nan bouch sèpan, venen nan bouch sèpan aspik k'ap touye moun frèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:34 ============ Deu 32:34 Is not this laid up in store with me, and sealed up among my treasures?(KJV-1611) Deu 32:34 Seyè a konnen tou sa lènmi te fè pèp la. L'ap tann lè a rive pou l' pini yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:35 ============ Deu 32:35 To me belongeth vengeance and recompence; their foot shall slide in due time: for the day of their calamity is at hand, and the things that shall come upon them make haste.(KJV-1611) Deu 32:35 Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:36 ============ Deu 32:36 For the LORD shall judge his people, and repent himself for his servants, when he seeth that their power is gone, and there is none shut up, or left.(KJV-1611) Deu 32:36 Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:37 ============ Deu 32:37 And he shall say, Where are their gods, their rock in whom they trusted,(KJV-1611) Deu 32:37 Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:38 ============ Deu 32:38 Which did eat the fat of their sacrifices, and drank the wine of their drink offerings? let them rise up and help you, and be your protection.(KJV-1611) Deu 32:38 Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lòtèl yo? Se pou yo vin koulye a, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:39 ============ Deu 32:39 See now that I, even I, am he, and there is no god with me: I kill, and I make alive; I wound, and I heal: neither is there any that can deliver out of my hand.(KJV-1611) Deu 32:39 Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:40 ============ Deu 32:40 For I lift up my hand to heaven, and say, I live for ever.(KJV-1611) Deu 32:40 Men m'ap leve men m' anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m' vivan pou tout tan an,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:41 ============ Deu 32:41 If I whet my glittering sword, and mine hand take hold on judgment; I will render vengeance to mine enemies, and will reward them that hate me.(KJV-1611) Deu 32:41 lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:42 ============ Deu 32:42 I will make mine arrows drunk with blood, and my sword shall devour flesh; and that with the blood of the slain and of the captives, from the beginning of revenges upon the enemy.(KJV-1611) Deu 32:42 Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:43 ============ Deu 32:43 Rejoice, O ye nations, with his people: for he will avenge the blood of his servants, and will render vengeance to his adversaries, and will be merciful unto his land, and to his people.(KJV-1611) Deu 32:43 Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:44 ============ Deu 32:44 And Moses came and spake all the words of this song in the ears of the people, he, and Hoshea the son of Nun.(KJV-1611) Deu 32:44 Moyiz ak Jozye, pitit gason Noun lan, te repete tout pawòl chante sa a byen fò pou tout pèp la te tande.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:45 ============ Deu 32:45 And Moses made an end of speaking all these words to all Israel:(KJV-1611) Deu 32:45 Lè Moyiz fin bay pèp Izrayèl la tout pawòl sa yo,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:46 ============ Deu 32:46 And he said unto them, Set your hearts unto all the words which I testify among you this day, which ye shall command your children to observe to do, all the words of this law.(KJV-1611) Deu 32:46 li di yo konsa: -Se pou nou koute tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Y'a sèvi m' temwen mwen te fè nou konnen yo. Nou menm, n'a pase pitit nou yo lòd pou yo kenbe yo, pou yo swiv tout pawòl ki nan lalwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:47 ============ Deu 32:47 For it is not a vain thing for you; because it is your life: and through this thing ye shall prolong your days in the land, whither ye go over Jordan to possess it.(KJV-1611) Deu 32:47 Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:48 ============ Deu 32:48 And the LORD spake unto Moses that selfsame day, saying,(KJV-1611) Deu 32:48 Menm jou sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:49 ============ Deu 32:49 Get thee up into this mountain Abarim, unto mount Nebo, which is in the land of Moab, that is over against Jericho; and behold the land of Canaan, which I give unto the children of Israel for a possession:(KJV-1611) Deu 32:49 -Ale nan chenn mòn Abarim yo, ki nan peyi Moab anfas lavil Jeriko a. Moute sou mòn Nebo. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade, w'a wè peyi Kanaran an, peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo pou yo rete a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:50 ============ Deu 32:50 And die in the mount whither thou goest up, and be gathered unto thy people; as Aaron thy brother died in mount Hor, and was gathered unto his people:(KJV-1611) Deu 32:50 Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l' yo ki deja mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:51 ============ Deu 32:51 Because ye trespassed against me among the children of Israel at the waters of MeribahKadesh, in the wilderness of Zin; because ye sanctified me not in the midst of the children of Israel.(KJV-1611) Deu 32:51 Nou tou de, nou pa t' fè sa m' te di nou fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo, bò lavil Kadès, nan dezè Zin lan. Nou te manke m' respe devan tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 32:52 ============ Deu 32:52 Yet thou shalt see the land before thee; but thou shalt not go thither unto the land which I give the children of Israel.(KJV-1611) Deu 32:52 Se poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:1 ============ Deu 33:1 And this is the blessing, wherewith Moses the man of God blessed the children of Israel before his death.(KJV-1611) Deu 33:1 Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:2 ============ Deu 33:2 And he said, The LORD came from Sinai, and rose up from Seir unto them; he shined forth from mount Paran, and he came with ten thousands of saints: from his right hand went a fiery law for them.(KJV-1611) Deu 33:2 Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:3 ============ Deu 33:3 Yea, he loved the people; all his saints are in thy hand: and they sat down at thy feet; every one shall receive of thy words.(KJV-1611) Deu 33:3 Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:4 ============ Deu 33:4 Moses commanded us a law, even the inheritance of the congregation of Jacob.(KJV-1611) Deu 33:4 Moyiz ban nou lalwa. Se yon byen li kite pou tout fanmi Jakòb la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:5 ============ Deu 33:5 And he was king in Jeshurun, when the heads of the people and the tribes of Israel were gathered together.(KJV-1611) Deu 33:5 Seyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:6 ============ Deu 33:6 Let Reuben live, and not die; and let not his men be few.(KJV-1611) Deu 33:6 Men sa li di pou branch fanmi Woubenn lan: Se pou Woubenn viv lontan! Fanmi li p'ap janm disparèt, malgre li pa gen anpil moun.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:7 ============ Deu 33:7 And this is the blessing of Judah: and he said, Hear, LORD, the voice of Judah, and bring him unto his people: let his hands be sufficient for him; and be thou an help to him from his enemies.(KJV-1611) Deu 33:7 Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:8 ============ Deu 33:8 And of Levi he said, Let thy Thummim and thy Urim be with thy holy one, whom thou didst prove at Massah, and with whom thou didst strive at the waters of Meribah;(KJV-1611) Deu 33:8 Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:9 ============ Deu 33:9 Who said unto his father and to his mother, I have not seen him; neither did he acknowledge his brethren, nor knew his own children: for they have observed thy word, and kept thy covenant.(KJV-1611) Deu 33:9 Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:10 ============ Deu 33:10 They shall teach Jacob thy judgments, and Israel thy law: they shall put incense before thee, and whole burnt sacrifice upon thine altar.(KJV-1611) Deu 33:10 Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:11 ============ Deu 33:11 Bless, LORD, his substance, and accept the work of his hands; smite through the loins of them that rise against him, and of them that hate him, that they rise not again.(KJV-1611) Deu 33:11 Seyè, ba yo anpil kouraj! Se pou yo fè ou plezi nan tou sa y'ap fè! Kase ren moun ki pa vle wè yo. Se pou lènmi l' yo pa ka leve tèt ankò.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:12 ============ Deu 33:12 And of Benjamin he said, The beloved of the LORD shall dwell in safety by him; and the Lord shall cover him all the day long, and he shall dwell between his shoulders.(KJV-1611) Deu 33:12 Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:13 ============ Deu 33:13 And of Joseph he said, Blessed of the LORD be his land, for the precious things of heaven, for the dew, and for the deep that coucheth beneath,(KJV-1611) Deu 33:13 Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:14 ============ Deu 33:14 And for the precious fruits brought forth by the sun, and for the precious things put forth by the moon,(KJV-1611) Deu 33:14 L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt. L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:15 ============ Deu 33:15 And for the chief things of the ancient mountains, and for the precious things of the lasting hills,(KJV-1611) Deu 33:15 L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:16 ============ Deu 33:16 And for the precious things of the earth and fulness thereof, and for the good will of him that dwelt in the bush: let the blessing come upon the head of Joseph, and upon the top of the head of him that was separated from his brethren.(KJV-1611) Deu 33:16 L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:17 ============ Deu 33:17 His glory is like the firstling of his bullock, and his horns are like the horns of unicorns: with them he shall push the people together to the ends of the earth: and they are the ten thousands of Ephraim, and they are the thousands of Manasseh.(KJV-1611) Deu 33:17 Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:18 ============ Deu 33:18 And of Zebulun he said, Rejoice, Zebulun, in thy going out; and, Issachar, in thy tents.(KJV-1611) Deu 33:18 Men sa li di pou branch fanmi Zabilon an ak branch fanmi Isaka a: Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen. Nou menm moun Isaka yo, se pou komès n'ap fè lakay nou mache byen tou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:19 ============ Deu 33:19 They shall call the people unto the mountain; there they shall offer sacrifices of righteousness: for they shall suck of the abundance of the seas, and of treasures hid in the sand.(KJV-1611) Deu 33:19 Yo rele tout moun lòt nasyon yo vin sou mòn lan. Se la y'a fè ofrann Bondye mande yo, paske yo fè tout lajan yo sou lanmè, nan komès yo fè sou lanmè ak nan trafik lakòt y'ap fè toupatou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:20 ============ Deu 33:20 And of Gad he said, Blessed be he that enlargeth Gad: he dwelleth as a lion, and teareth the arm with the crown of the head.(KJV-1611) Deu 33:20 Men sa li di pou branch fanmi Gad la: Lwanj pou Bondye ki bay Gad anpil tè pou l' rete. Gad kouche tankou yon lyon k'ap veye, pou l' dechire yon bra, yon tèt, yon figi.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:21 ============ Deu 33:21 And he provided the first part for himself, because there, in a portion of the lawgiver, was he seated; and he came with the heads of the people, he executed the justice of the LORD, and his judgments with Israel.(KJV-1611) Deu 33:21 Yo pran pi bon venn tè a pou yo. Se pòsyon tè ki toujou vin pou chèf. Se yo k'ap mache devan pèp la. Yo fè tou sa Seyè a te mande, yo swiv tout regleman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:22 ============ Deu 33:22 And of Dan he said, Dan is a lion's whelp: he shall leap from Bashan.(KJV-1611) Deu 33:22 Men sa li di pou branch fanmi Dann lan: Dann se yon jenn ti lyon k'ap kouri soti peyi Bazan.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:23 ============ Deu 33:23 And of Naphtali he said, O Naphtali, satisfied with favour, and full with the blessing of the LORD: possess thou the west and the south.(KJV-1611) Deu 33:23 Men sa li di pou branch fanmi Neftali a: Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:24 ============ Deu 33:24 And of Asher he said, Let Asher be blessed with children; let him be acceptable to his brethren, and let him dip his foot in oil.(KJV-1611) Deu 33:24 Men sa li di pou branch fanmi Asè a: Nan tout pitit Jakòb yo, benediksyon pou Asè! Tout frè li yo ap renmen l'. Se pou tè li yo rich ak pye oliv.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:25 ============ Deu 33:25 Thy shoes shall be iron and brass; and as thy days, so shall thy strength be.(KJV-1611) Deu 33:25 Se pou pòtay lavil li yo fèt an fè ak an asye, pou li ka toujou viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:26 ============ Deu 33:26 There is none like unto the God of Jeshurun, who rideth upon the heaven in thy help, and in his excellency on the sky.(KJV-1611) Deu 33:26 Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:27 ============ Deu 33:27 The eternal God is thy refuge, and underneath are the everlasting arms: and he shall thrust out the enemy from before thee; and shall say, Destroy them.(KJV-1611) Deu 33:27 Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:28 ============ Deu 33:28 Israel then shall dwell in safety alone: the fountain of Jacob shall be upon a land of corn and wine; also his heavens shall drop down dew.(KJV-1611) Deu 33:28 Pèp Izrayèl la ap viv ak kè poze. Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo. Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven, nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 33:29 ============ Deu 33:29 Happy art thou, O Israel: who is like unto thee, O people saved by the LORD, the shield of thy help, and who is the sword of thy excellency! and thine enemies shall be found liars unto thee; and thou shalt tread upon their high places.(KJV-1611) Deu 33:29 Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:1 ============ Deu 34:1 And Moses went up from the plains of Moab unto the mountain of Nebo, to the top of Pisgah, that is over against Jericho. And the LORD shewed him all the land of Gilead, unto Dan,(KJV-1611) Deu 34:1 Moyiz kite plenn Moab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Seyè a fè l' wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:2 ============ Deu 34:2 And all Naphtali, and the land of Ephraim, and Manasseh, and all the land of Judah, unto the utmost sea,(KJV-1611) Deu 34:2 tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a,(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:3 ============ Deu 34:3 And the south, and the plain of the valley of Jericho, the city of palm trees, unto Zoar.(KJV-1611) Deu 34:3 tout zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:4 ============ Deu 34:4 And the LORD said unto him, This is the land which I sware unto Abraham, unto Isaac, and unto Jacob, saying, I will give it unto thy seed: I have caused thee to see it with thine eyes, but thou shalt not go over thither.(KJV-1611) Deu 34:4 Seyè a di li konsa: -Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l' ak je ou, men ou p'ap antre ladan l'.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:5 ============ Deu 34:5 So Moses the servant of the LORD died there in the land of Moab, according to the word of the LORD.(KJV-1611) Deu 34:5 Se la Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri nan peyi Moab la, jan Seyè a te di li t'ap mouri a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:6 ============ Deu 34:6 And he buried him in a valley in the land of Moab, over against Bethpeor: but no man knoweth of his sepulchre unto this day.(KJV-1611) Deu 34:6 Seyè a antere l' nan peyi Moab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pesonn pa konnen ki kote li antere.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:7 ============ Deu 34:7 And Moses was an hundred and twenty years old when he died: his eye was not dim, nor his natural force abated.(KJV-1611) Deu 34:7 Lè Moyiz mouri, li te gen sanventan. Li te wè byen nan je l' toujou, li te byen enganm toujou.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:8 ============ Deu 34:8 And the children of Israel wept for Moses in the plains of Moab thirty days: so the days of weeping and mourning for Moses were ended.(KJV-1611) Deu 34:8 Moun pèp Izrayèl yo pase trant jou nan plenn Moab yo ap kriye lanmò li. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:9 ============ Deu 34:9 And Joshua the son of Nun was full of the spirit of wisdom; for Moses had laid his hands upon him: and the children of Israel hearkened unto him, and did as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Deu 34:9 Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:10 ============ Deu 34:10 And there arose not a prophet since in Israel like unto Moses, whom the LORD knew face to face,(KJV-1611) Deu 34:10 Depi lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Seyè a te konn pale avè l' fas pou fas.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:11 ============ Deu 34:11 In all the signs and the wonders, which the LORD sent him to do in the land of Egypt to Pharaoh, and to all his servants, and to all his land,(KJV-1611) Deu 34:11 Pa gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Seyè a te voye l' al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvenman l' yo ak tout moun ki te nan peyi a.(Creole-HT) ======= Deuteronomy 34:12 ============ Deu 34:12 And in all that mighty hand, and in all the great terror which Moses shewed in the sight of all Israel.(KJV-1611) Deu 34:12 Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 1:1 ============ Jos 1:1 Now after the death of Moses the servant of the LORD it came to pass, that the LORD spake unto Joshua the son of Nun, Moses' minister, saying,(KJV-1611) Jos 1:1 Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Joshua 1:2 ============ Jos 1:2 Moses my servant is dead; now therefore arise, go over this Jordan, thou, and all this people, unto the land which I do give to them, even to the children of Israel.(KJV-1611) Jos 1:2 -Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 1:3 ============ Jos 1:3 Every place that the sole of your foot shall tread upon, that have I given unto you, as I said unto Moses.(KJV-1611) Jos 1:3 Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 1:4 ============ Jos 1:4 From the wilderness and this Lebanon even unto the great river, the river Euphrates, all the land of the Hittites, and unto the great sea toward the going down of the sun, shall be your coast.(KJV-1611) Jos 1:4 Peyi a pral konmanse depi nan dezè a sou bò nan sid, jouk mòn Liban nou wè laba a, nan nò. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyè Lefrat sou bò solèy leve, jouk gwo lanmè a sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Joshua 1:5 ============ Jos 1:5 There shall not any man be able to stand before thee all the days of thy life: as I was with Moses, so I will be with thee: I will not fail thee, nor forsake thee.(KJV-1611) Jos 1:5 Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.(Creole-HT) ======= Joshua 1:6 ============ Jos 1:6 Be strong and of a good courage: for unto this people shalt thou divide for an inheritance the land, which I sware unto their fathers to give them.(KJV-1611) Jos 1:6 Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Joshua 1:7 ============ Jos 1:7 Only be thou strong and very courageous, that thou mayest observe to do according to all the law, which Moses my servant commanded thee: turn not from it to the right hand or to the left, that thou mayest prosper withersoever thou goest.(KJV-1611) Jos 1:7 Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.(Creole-HT) ======= Joshua 1:8 ============ Jos 1:8 This book of the law shall not depart out of thy mouth; but thou shalt meditate therein day and night, that thou mayest observe to do according to all that is written therein: for then thou shalt make thy way prosperous, and then thou shalt have good success.(KJV-1611) Jos 1:8 Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.(Creole-HT) ======= Joshua 1:9 ============ Jos 1:9 Have not I commanded thee? Be strong and of a good courage; be not afraid, neither be thou dismayed: for the LORD thy God is with thee whithersoever thou goest.(KJV-1611) Jos 1:9 Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.(Creole-HT) ======= Joshua 1:10 ============ Jos 1:10 Then Joshua commanded the officers of the people, saying,(KJV-1611) Jos 1:10 Lè sa a, Jozye rele tout chèf pèp la. Li ba yo lòd sa a:(Creole-HT) ======= Joshua 1:11 ============ Jos 1:11 Pass through the host, and command the people, saying, Prepare you victuals; for within three days ye shall pass over this Jordan, to go in to possess the land, which the LORD your God giveth you to possess it.(KJV-1611) Jos 1:11 -Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.(Creole-HT) ======= Joshua 1:12 ============ Jos 1:12 And to the Reubenites, and to the Gadites, and to half the tribe of Manasseh, spake Joshua, saying,(KJV-1611) Jos 1:12 Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye moun nan branch fanmi Manase a. Li di yo:(Creole-HT) ======= Joshua 1:13 ============ Jos 1:13 Remember the word which Moses the servant of the LORD commanded you, saying, The LORD your God hath given you rest, and hath given you this land.(KJV-1611) Jos 1:13 -Chonje lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lè li te di nou: Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Joshua 1:14 ============ Jos 1:14 Your wives, your little ones, and your cattle, shall remain in the land which Moses gave you on this side Jordan; but ye shall pass before your brethren armed, all the mighty men of valour, and help them;(KJV-1611) Jos 1:14 Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite.(Creole-HT) ======= Joshua 1:15 ============ Jos 1:15 Until the LORD have given your brethren rest, as he hath given you, and they also have possessed the land which the LORD your God giveth them: then ye shall return unto the land of your possession, and enjoy it, which Moses the LORD's servant gave you on this side Jordan toward the sunrising.(KJV-1611) Jos 1:15 Lè Seyè a va fin fè yo pran peyi a pou yo, lè l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kè poze, menm jan li te fè l' pou nou an, se lè sa a atò n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sèvitè Bondye a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Joshua 1:16 ============ Jos 1:16 And they answered Joshua, saying, All that thou commandest us we will do, and whithersoever thou sendest us, we will go.(KJV-1611) Jos 1:16 Yo tout yo reponn Jozye, yo di l': -Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l'! Kote ou voye nou, nou prale!(Creole-HT) ======= Joshua 1:17 ============ Jos 1:17 According as we hearkened unto Moses in all things, so will we hearken unto thee: only the LORD thy God be with thee, as he was with Moses.(KJV-1611) Jos 1:17 Menm jan nou te toujou obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, n'ap lapriyè pou Bondye toujou kanpe avè ou menm jan li te kanpe ak Moyiz la.(Creole-HT) ======= Joshua 1:18 ============ Jos 1:18 Whosoever he be that doth rebel against thy commandment, and will not hearken unto thy words in all that thou commandest him, he shall be put to death: only be strong and of a good courage.(KJV-1611) Jos 1:18 Se pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!(Creole-HT) ======= Joshua 2:1 ============ Jos 2:1 And Joshua the son of Nun sent out of Shittim two men to spy secretly, saying, Go view the land, even Jericho. And they went, and came into an harlot's house, named Rahab, and lodged there.(KJV-1611) Jos 2:1 Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.(Creole-HT) ======= Joshua 2:2 ============ Jos 2:2 And it was told the king of Jericho, saying, Behold, there came men in hither to night of the children of Israel to search out the country.(KJV-1611) Jos 2:2 Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:3 ============ Jos 2:3 And the king of Jericho sent unto Rahab, saying, Bring forth the men that are come to thee, which are entered into thine house: for they be come to search out all the country.(KJV-1611) Jos 2:3 Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:4 ============ Jos 2:4 And the woman took the two men, and hid them, and said thus, There came men unto me, but I wist not whence they were:(KJV-1611) Jos 2:4 Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti.(Creole-HT) ======= Joshua 2:5 ============ Jos 2:5 And it came to pass about the time of shutting of the gate, when it was dark, that the men went out: whither the men went I wot not: pursue after them quickly; for ye shall overtake them.(KJV-1611) Jos 2:5 Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.(Creole-HT) ======= Joshua 2:6 ============ Jos 2:6 But she had brought them up to the roof of the house, and hid them with the stalks of flax, which she had laid in order upon the roof.(KJV-1611) Jos 2:6 Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.(Creole-HT) ======= Joshua 2:7 ============ Jos 2:7 And the men pursued after them the way to Jordan unto the fords: and as soon as they which pursued after them were gone out, they shut the gate.(KJV-1611) Jos 2:7 Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.(Creole-HT) ======= Joshua 2:8 ============ Jos 2:8 And before they were laid down, she came up unto them upon the roof;(KJV-1611) Jos 2:8 Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la.(Creole-HT) ======= Joshua 2:9 ============ Jos 2:9 And she said unto the men, I know that the LORD hath given you the land, and that your terror is fallen upon us, and that all the inhabitants of the land faint because of you.(KJV-1611) Jos 2:9 Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:10 ============ Jos 2:10 For we have heard how the LORD dried up the water of the Red sea for you, when ye came out of Egypt; and what ye did unto the two kings of the Amorites, that were on the other side Jordan, Sihon and Og, whom ye utterly destroyed.(KJV-1611) Jos 2:10 Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 2:11 ============ Jos 2:11 And as soon as we had heard these things, our hearts did melt, neither did there remain any more courage in any man, because of you: for the LORD your God, he is God in heaven above, and in earth beneath.(KJV-1611) Jos 2:11 Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.(Creole-HT) ======= Joshua 2:12 ============ Jos 2:12 Now therefore, I pray you, swear unto me by the LORD, since I have shewed you kindness, that ye will also shew kindness unto my father's house, and give me a true token:(KJV-1611) Jos 2:12 Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Joshua 2:13 ============ Jos 2:13 And that ye will save alive my father, and my mother, and my brethren, and my sisters, and all that they have, and deliver our lives from death.(KJV-1611) Jos 2:13 Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:14 ============ Jos 2:14 And the men answered her, Our life for yours, if ye utter not this our business. And it shall be, when the LORD hath given us the land, that we will deal kindly and truly with thee.(KJV-1611) Jos 2:14 Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:15 ============ Jos 2:15 Then she let them down by a cord through the window: for her house was upon the town wall, and she dwelt upon the wall.(KJV-1611) Jos 2:15 Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.(Creole-HT) ======= Joshua 2:16 ============ Jos 2:16 And she said unto them, Get you to the mountain, lest the pursuers meet you; and hide yourselves there three days, until the pursuers be returned: and afterward may ye go your way.(KJV-1611) Jos 2:16 Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:17 ============ Jos 2:17 And the men said unto her, We will be blameless of this thine oath which thou hast made us swear.(KJV-1611) Jos 2:17 Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.(Creole-HT) ======= Joshua 2:18 ============ Jos 2:18 Behold, when we come into the land, thou shalt bind this line of scarlet thread in the window which thou didst let us down by: and thou shalt bring thy father, and thy mother, and thy brethren, and all thy father's household, home unto thee.(KJV-1611) Jos 2:18 Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:19 ============ Jos 2:19 And it shall be, that whosoever shall go out of the doors of thy house into the street, his blood shall be upon his head, and we will be guiltless: and whosoever shall be with thee in the house, his blood shall be on our head, if any hand be upon him.(KJV-1611) Jos 2:19 Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.(Creole-HT) ======= Joshua 2:20 ============ Jos 2:20 And if thou utter this our business, then we will be quit of thine oath which thou hast made us to swear.(KJV-1611) Jos 2:20 Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.(Creole-HT) ======= Joshua 2:21 ============ Jos 2:21 And she said, According unto your words, so be it. And she sent them away, and they departed: and she bound the scarlet line in the window.(KJV-1611) Jos 2:21 Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l' nan fennèt la.(Creole-HT) ======= Joshua 2:22 ============ Jos 2:22 And they went, and came unto the mountain, and abode there three days, until the pursuers were returned: and the pursuers sought them throughout all the way, but found them not.(KJV-1611) Jos 2:22 De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Joshua 2:23 ============ Jos 2:23 So the two men returned, and descended from the mountain, and passed over, and came to Joshua the son of Nun, and told him all things that befell them:(KJV-1611) Jos 2:23 Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y' al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l' tou sa ki te rive yo.(Creole-HT) ======= Joshua 2:24 ============ Jos 2:24 And they said unto Joshua, Truly the LORD hath delivered into our hands all the land; for even all the inhabitants of the country do faint because of us.(KJV-1611) Jos 2:24 Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.(Creole-HT) ======= Joshua 3:1 ============ Jos 3:1 And Joshua rose early in the morning; and they removed from Shittim, and came to Jordan, he and all the children of Israel, and lodged there before they passed over.(KJV-1611) Jos 3:1 Jozye leve granmaten, epi li menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la yo kite Sitim kote yo te ye a, yo rive devan larivyè Jouden an. Epi yo pase nwit lan la anvan yo janbe lòt bò a.(Creole-HT) ======= Joshua 3:2 ============ Jos 3:2 And it came to pass after three days, that the officers went through the host;(KJV-1611) Jos 3:2 Twa jou apre sa, chèf yo mache nan tout kan an.(Creole-HT) ======= Joshua 3:3 ============ Jos 3:3 And they commanded the people, saying, When ye see the ark of the covenant of the LORD your God, and the priests the Levites bearing it, then ye shall remove from your place, and go after it.(KJV-1611) Jos 3:3 Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo.(Creole-HT) ======= Joshua 3:4 ============ Jos 3:4 Yet there shall be a space between you and it, about two thousand cubits by measure: come not near unto it, that ye may know the way by which ye must go: for ye have not passed this way heretofore.(KJV-1611) Jos 3:4 Se konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan mèt konsa ant li ak nou.(Creole-HT) ======= Joshua 3:5 ============ Jos 3:5 And Joshua said unto the people, Sanctify yourselves: for to morrow the LORD will do wonders among you.(KJV-1611) Jos 3:5 Apre sa, Jozye di pèp la: -Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske denmen Seyè a pral fè mèvèy devan je nou.(Creole-HT) ======= Joshua 3:6 ============ Jos 3:6 And Joshua spake unto the priests, saying, Take up the ark of the covenant, and pass over before the people. And they took up the ark of the covenant, and went before the people.(KJV-1611) Jos 3:6 Jozye pale ak prèt yo, li di yo: -Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la. Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la.(Creole-HT) ======= Joshua 3:7 ============ Jos 3:7 And the LORD said unto Joshua, This day will I begin to magnify thee in the sight of all Israel, that they may know that, as I was with Moses, so I will be with thee.(KJV-1611) Jos 3:7 Seyè a di Jozye konsa: -Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz.(Creole-HT) ======= Joshua 3:8 ============ Jos 3:8 And thou shalt command the priests that bear the ark of the covenant, saying, When ye are come to the brink of the water of Jordan, ye shall stand still in Jordan.(KJV-1611) Jos 3:8 Ou menm, pase prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd sa a. Di yo lè y'a rive bò rivyè a, y'a antre nan dlo a, epi y'a rete toupre rivaj la.(Creole-HT) ======= Joshua 3:9 ============ Jos 3:9 And Joshua said unto the children of Israel, Come hither, and hear the words of the LORD your God.(KJV-1611) Jos 3:9 Lè sa a, Jozye di moun pèp Izrayèl la: -Pwoche non: Vin tande sa Seyè a, Bondye nou an, gen pou di nou.(Creole-HT) ======= Joshua 3:10 ============ Jos 3:10 And Joshua said, Hereby ye shall know that the living God is among you, and that he will without fail drive out from before you the Canaanites, and the Hittites, and the Hivites, and the Perizzites, and the Girgashites, and the Amorites, and the Jebusites.(KJV-1611) Jos 3:10 Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Joshua 3:11 ============ Jos 3:11 Behold, the ark of the covenant of the LORD of all the earth passeth over before you into Jordan.(KJV-1611) Jos 3:11 Bwat Kontra Mèt tout latè a pral janbe lòt bò larivyè Jouden an anvan nou.(Creole-HT) ======= Joshua 3:12 ============ Jos 3:12 Now therefore take you twelve men out of the tribes of Israel, out of every tribe a man.(KJV-1611) Jos 3:12 Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 3:13 ============ Jos 3:13 And it shall come to pass, as soon as the soles of the feet of the priests that bear the ark of the LORD, the LORD of all the earth, shall rest in the waters of Jordan, that the waters of Jordan shall be cut off from the waters that come down from above; and they shall stand upon an heap.(KJV-1611) Jos 3:13 Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.(Creole-HT) ======= Joshua 3:14 ============ Jos 3:14 And it came to pass, when the people removed from their tents, to pass over Jordan, and the priests bearing the ark of the covenant before the people;(KJV-1611) Jos 3:14 Se konsa, pèp la leve, yo kite kote yo te ye a. Yo pati pou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Prèt yo pran devan pèp la avèk Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= Joshua 3:15 ============ Jos 3:15 And as they that bare the ark were come unto Jordan, and the feet of the priests that bare the ark were dipped in the brim of the water, (for Jordan overfloweth all his banks all the time of harvest,)(KJV-1611) Jos 3:15 Se te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivaj la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a.(Creole-HT) ======= Joshua 3:16 ============ Jos 3:16 That the waters which came down from above stood and rose up upon an heap very far from the city Adam, that is beside Zaretan: and those that came down toward the sea of the plain, even the salt sea, failed, and were cut off: and the people passed over right against Jericho.(KJV-1611) Jos 3:16 Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Joshua 3:17 ============ Jos 3:17 And the priests that bare the ark of the covenant of the LORD stood firm on dry ground in the midst of Jordan, and all the Israelites passed over on dry ground, until all the people were passed clean over Jordan.(KJV-1611) Jos 3:17 Pandan pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pa t' gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 4:1 ============ Jos 4:1 And it came to pass, when all the people were clean passed over Jordan, that the LORD spake unto Joshua, saying,(KJV-1611) Jos 4:1 Lè tout moun fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, Seyè a pale ak Jozye. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Joshua 4:2 ============ Jos 4:2 Take you twelve men out of the people, out of every tribe a man,(KJV-1611) Jos 4:2 -Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 4:3 ============ Jos 4:3 And command ye them, saying, Take you hence out of the midst of Jordan, out of the place where the priests' feet stood firm, twelve stones, and ye shall carry them over with you, and leave them in the lodging place, where ye shall lodge this night.(KJV-1611) Jos 4:3 W'a ba yo lòd pou yo chak pran yon wòch nan mitan larivyè Jouden an, kote prèt yo te kanpe a. Y'a pran douz wòch sa yo, y'a pote yo lòt bò larivyè a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswè a.(Creole-HT) ======= Joshua 4:4 ============ Jos 4:4 Then Joshua called the twelve men, whom he had prepared of the children of Israel, out of every tribe a man:(KJV-1611) Jos 4:4 Lè sa a, Jozye fè rele douz mesye li te chwazi pami moun pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 4:5 ============ Jos 4:5 And Joshua said unto them, Pass over before the ark of the LORD your God into the midst of Jordan, and take you up every man of you a stone upon his shoulder, according unto the number of the tribes of the children of Israel:(KJV-1611) Jos 4:5 Epi li di yo: -Ale devan Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, ki nan mitan larivyè a. Chak moun va pran yon wòch mete sou zepòl yo, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 4:6 ============ Jos 4:6 That this may be a sign among you, that when your children ask their fathers in time to come, saying, What mean ye by these stones?(KJV-1611) Jos 4:6 Wòch sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Seyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou,(Creole-HT) ======= Joshua 4:7 ============ Jos 4:7 Then ye shall answer them, That the waters of Jordan were cut off before the ark of the covenant of the LORD; when it passed over Jordan, the waters of Jordan were cut off: and these stones shall be for a memorial unto the children of Israel for ever.(KJV-1611) Jos 4:7 n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 4:8 ============ Jos 4:8 And the children of Israel did so as Joshua commanded, and took up twelve stones out of the midst of Jordan, as the LORD spake unto Joshua, according to the number of the tribes of the children of Israel, and carried them over with them unto the place where they lodged, and laid them down there.(KJV-1611) Jos 4:8 Mesye yo fè sa Jozye te ba yo lòd fè a. Jan Seyè a te di Jozye, yo pran douz wòch nan mitan larivyè Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pote yo avèk yo lòt bò rivyè a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan.(Creole-HT) ======= Joshua 4:9 ============ Jos 4:9 And Joshua set up twelve stones in the midst of Jordan, in the place where the feet of the priests which bare the ark of the covenant stood: and they are there unto this day.(KJV-1611) Jos 4:9 Apre sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivyè a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Joshua 4:10 ============ Jos 4:10 For the priests which bare the ark stood in the midst of Jordan, until everything was finished that the LORD commanded Joshua to speak unto the people, according to all that Moses commanded Joshua: and the people hasted and passed over.(KJV-1611) Jos 4:10 Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 4:11 ============ Jos 4:11 And it came to pass, when all the people were clean passed over, that the ark of the LORD passed over, and the priests, in the presence of the people.(KJV-1611) Jos 4:11 Lè yo tout fin pase, prèt yo fè rès travèse a ak Bwat Kontra Seyè a, epi yo pran devan pèp la ankò.(Creole-HT) ======= Joshua 4:12 ============ Jos 4:12 And the children of Reuben, and the children of Gad, and half the tribe of Manasseh, passed over armed before the children of Israel, as Moses spake unto them:(KJV-1611) Jos 4:12 Premye moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Joshua 4:13 ============ Jos 4:13 About forty thousand prepared for war passed over before the LORD unto battle, to the plains of Jericho.(KJV-1611) Jos 4:13 Jou sa a, te gen antou karantmil gason tou pare pou fè lagè ki te janbe al nan plenn Jeriko yo, devan je Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 4:14 ============ Jos 4:14 On that day the LORD magnified Joshua in the sight of all Israel; and they feared him, as they feared Moses, all the days of his life.(KJV-1611) Jos 4:14 Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.(Creole-HT) ======= Joshua 4:15 ============ Jos 4:15 And the LORD spake unto Joshua, saying,(KJV-1611) Jos 4:15 Apre sa, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Joshua 4:16 ============ Jos 4:16 Command the priests that bear the ark of the testimony, that they come up out of Jordan.(KJV-1611) Jos 4:16 -Bay prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd pou yo soti nan larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Joshua 4:17 ============ Jos 4:17 Joshua therefore commanded the priests, saying, Come ye up out of Jordan.(KJV-1611) Jos 4:17 Jozye pale ak prèt yo, li ba yo lòd sa a: -Moute soti nan larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Joshua 4:18 ============ Jos 4:18 And it came to pass, when the priests that bare the ark of the covenant of the LORD were come up out of the midst of Jordan, and the soles of the priests' feet were lifted up unto the dry land, that the waters of Jordan returned unto their place, and flowed over all his banks, as they did before.(KJV-1611) Jos 4:18 Soti prèt yo soti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivaj la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.(Creole-HT) ======= Joshua 4:19 ============ Jos 4:19 And the people came up out of Jordan on the tenth day of the first month, and encamped in Gilgal, in the east border of Jericho.(KJV-1611) Jos 4:19 Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= Joshua 4:20 ============ Jos 4:20 And those twelve stones, which they took out of Jordan, did Joshua pitch in Gilgal.(KJV-1611) Jos 4:20 Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.(Creole-HT) ======= Joshua 4:21 ============ Jos 4:21 And he spake unto the children of Israel, saying, When your children shall ask their fathers in time to come, saying, What mean these stones?(KJV-1611) Jos 4:21 Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a,(Creole-HT) ======= Joshua 4:22 ============ Jos 4:22 Then ye shall let your children know, saying, Israel came over this Jordan on dry land.(KJV-1611) Jos 4:22 n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.(Creole-HT) ======= Joshua 4:23 ============ Jos 4:23 For the LORD your God dried up the waters of Jordan from before you, until ye were passed over, as the LORD your God did to the Red sea, which he dried up from before us, until we were gone over:(KJV-1611) Jos 4:23 Paske Seyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase.(Creole-HT) ======= Joshua 4:24 ============ Jos 4:24 That all the people of the earth might know the hand of the LORD, that it is mighty: that ye might fear the LORD your God for ever.(KJV-1611) Jos 4:24 Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Seyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 5:1 ============ Jos 5:1 And it came to pass, when all the kings of the Amorites, which were on the side of Jordan westward, and all the kings of the Canaanites, which were by the sea, heard that the LORD had dried up the waters of Jordan from before the children of Israel, until we were passed over, that their heart melted, neither was there spirit in them any more, because of the children of Israel.(KJV-1611) Jos 5:1 Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 5:2 ============ Jos 5:2 At that time the LORD said unto Joshua, Make thee sharp knives, and circumcise again the children of Israel the second time.(KJV-1611) Jos 5:2 Lè sa a, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Pran wòch dife, kase yo fè zenglen pou sikonsi gason pèp Izrayèl ki fèt nan dezè a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:3 ============ Jos 5:3 And Joshua made him sharp knives, and circumcised the children of Israel at the hill of the foreskins.(KJV-1611) Jos 5:3 Se konsa, Jozye fè yon bann zenglen wòch byen file, li sikonsi tout gason pèp Izrayèl la yon kote yo rele Bit po ti kòk.(Creole-HT) ======= Joshua 5:4 ============ Jos 5:4 And this is the cause why Joshua did circumcise: All the people that came out of Egypt, that were males, even all the men of war, died in the wilderness by the way, after they came out of Egypt.(KJV-1611) Jos 5:4 Li te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:5 ============ Jos 5:5 Now all the people that came out were circumcised: but all the people that were born in the wilderness by the way as they came forth out of Egypt, them they had not circumcised.(KJV-1611) Jos 5:5 Tout gason ki te vivan lè yo te soti kite peyi Lejip la te sikonsi. Men, ankenn nan gason ki te fèt pandan yo t'ap vwayaje nan dezè a pa t' ankò sikonsi.(Creole-HT) ======= Joshua 5:6 ============ Jos 5:6 For the children of Israel walked forty years in the wilderness, till all the people that were men of war, which came out of Egypt, were consumed, because they obeyed not the voice of the LORD: unto whom the LORD sware that he would not shew them the land, which the LORD sware unto their fathers that he would give us, a land that floweth with milk and honey.(KJV-1611) Jos 5:6 Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:7 ============ Jos 5:7 And their children, whom he raised up in their stead, them Joshua circumcised: for they were uncircumcised, because they had not circumcised them by the way.(KJV-1611) Jos 5:7 Men, li ba yo pitit pou ranplase yo. Se pitit sa yo Jozye te sikonsi paske yo pa t' sikonsi yo lè yo t'ap vwayaje nan dezè a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:8 ============ Jos 5:8 And it came to pass, when they had done circumcising all the people, that they abode in their places in the camp, till they were whole.(KJV-1611) Jos 5:8 Lè li fin sikonsi tout gason yo, tout pèp la rete la kote yo te moute tant yo a, jouk yo te geri.(Creole-HT) ======= Joshua 5:9 ============ Jos 5:9 And the LORD said unto Joshua, This day have I rolled away the reproach of Egypt from off you. Wherefore the name of the place is called Gilgal unto this day.(KJV-1611) Jos 5:9 Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:10 ============ Jos 5:10 And the children of Israel encamped in Gilgal, and kept the passover on the fourteenth day of the month at even in the plains of Jericho.(KJV-1611) Jos 5:10 Antan pèp Izrayèl la te rete Gilgal nan plenn ki toupre lavil Jeriko, yo fete Fèt Delivrans lan nan aswè katòzyèm jou premye mwa a.(Creole-HT) ======= Joshua 5:11 ============ Jos 5:11 And they did eat of the old corn of the land on the morrow after the passover, unleavened cakes, and parched corn in the selfsame day.(KJV-1611) Jos 5:11 Nan denmen Fèt Delivrans lan, yo manje manje yo rekòlte nan peyi a: grenn ble griye ak pen kwit san ledven.(Creole-HT) ======= Joshua 5:12 ============ Jos 5:12 And the manna ceased on the morrow after they had eaten of the old corn of the land; neither had the children of Israel manna any more; but they did eat of the fruit of the land of Canaan that year.(KJV-1611) Jos 5:12 Apre sa, laman lan sispann tonbe. Depi lè sa a, pèp Izrayèl la pa jwenn laman pou yo manje ankò. Pandan tout lanne a yo manje manje yo te rekolte nan peyi Kanaran an.(Creole-HT) ======= Joshua 5:13 ============ Jos 5:13 And it came to pass, when Joshua was by Jericho, that he lifted up his eyes and looked, and, behold, there stood a man over against him with his sword drawn in his hand: and Joshua went unto him, and said unto him, Art thou for us, or for our adversaries?(KJV-1611) Jos 5:13 Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?(Creole-HT) ======= Joshua 5:14 ============ Jos 5:14 And he said, Nay; but as captain of the host of the LORD am I now come. And Joshua fell on his face to the earth, and did worship, and said unto him, What saith my Lord unto his servant?(KJV-1611) Jos 5:14 Nonm lan reponn li: -M' pa ni yonn ni lòt. Mwen se kòmandan an chèf lame Seyè a. Mwen fèk rive. Jozye tonbe ajenou devan l', li bese tèt li jouk atè, li di l' konsa: -Se sèvitè ou mwen ye, mèt. Kisa ou vle m' fè pou ou?(Creole-HT) ======= Joshua 5:15 ============ Jos 5:15 And the captain of the LORD's host said unto Joshua, Loose thy shoe from off thy foot; for the place whereon thou standest is holy. And Joshua did so.(KJV-1611) Jos 5:15 Kòmandan an chèf lame Seyè a di l' konsa: -Wete sapat nan pye ou. Kote ou kanpe a se yon kote ki apa pou Bondye. Epi Jozye fè sa li di l' fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:1 ============ Jos 6:1 Now Jericho was straitly shut up because of the children of Israel: none went out, and none came in.(KJV-1611) Jos 6:1 Yo te fèmen tout pòtay lavil Jeriko yo, yo te barikade yo poutèt moun pèp Izrayèl yo. Deyò pa antre, anndan pa soti.(Creole-HT) ======= Joshua 6:2 ============ Jos 6:2 And the LORD said unto Joshua, See, I have given into thine hand Jericho, and the king thereof, and the mighty men of valour.(KJV-1611) Jos 6:2 Seyè a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:3 ============ Jos 6:3 And ye shall compass the city, all ye men of war, and go round about the city once. Thus shalt thou do six days.(KJV-1611) Jos 6:3 Ou menm ak tout sòlda pa ou yo, nou pral mache fè wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou.(Creole-HT) ======= Joshua 6:4 ============ Jos 6:4 And seven priests shall bear before the ark seven trumpets of rams' horns: and the seventh day ye shall compass the city seven times, and the priests shall blow with the trumpets.(KJV-1611) Jos 6:4 Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, setyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:5 ============ Jos 6:5 And it shall come to pass, that when they make a long blast with the ram's horn, and when ye hear the sound of the trumpet, all the people shall shout with a great shout; and the wall of the city shall fall down flat, and the people shall ascend up every man straight before him.(KJV-1611) Jos 6:5 Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.(Creole-HT) ======= Joshua 6:6 ============ Jos 6:6 And Joshua the son of Nun called the priests, and said unto them, Take up the ark of the covenant, and let seven priests bear seven trumpets of rams' horns before the ark of the LORD.(KJV-1611) Jos 6:6 Se konsa, Jozye, pitit gason Noun lan, rele prèt yo, li di yo: -Leve Bwat Kontra a, mete l' sou zepòl nou. Sèt prèt va mache devan l' avèk kòn belye yo nan men yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:7 ============ Jos 6:7 And he said unto the people, Pass on, and compass the city, and let him that is armed pass on before the ark of the LORD.(KJV-1611) Jos 6:7 Apre sa, li di pèp la: -Leve mache! Nou pral fè wonn lavil la. Pòsyon lame ki pou mache devan an va pran devan Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:8 ============ Jos 6:8 And it came to pass, when Joshua had spoken unto the people, that the seven priests bearing the seven trumpets of rams' horns passed on before the LORD, and blew with the trumpets: and the ark of the covenant of the LORD followed them.(KJV-1611) Jos 6:8 Pèp la fè jan Jozye te ba yo lòd fè a. Sèt prèt yo pran devan Bwat Kontra Seyè a, yo t'ap kònen kòn yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:9 ============ Jos 6:9 And the armed men went before the priests that blew with the trumpets, and the rereward came after the ark, the priests going on, and blowing with the trumpets.(KJV-1611) Jos 6:9 Pòsyon lame ki pou mache devan an pran devan prèt ki t'ap kònen yo. Pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a. Pandan yo t'ap mache konsa, yo t'ap kònen kòn belye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:10 ============ Jos 6:10 And Joshua had commanded the people, saying, Ye shall not shout, nor make any noise with your voice, neither shall any word proceed out of your mouth, until the day I bid you shout; then shall ye shout.(KJV-1611) Jos 6:10 Men, Jozye te bay pèp la lòd pou yo pa t' pouse ankenn rèl jan yo te konn fè l' la lè y'ap goumen. Se pou yo tout rete bouch fèmen, san di yon mo, jouk lè l'a ba yo lòd pouse rèl goumen an.(Creole-HT) ======= Joshua 6:11 ============ Jos 6:11 So the ark of the LORD compassed the city, going about it once: and they came into the camp, and lodged in the camp.(KJV-1611) Jos 6:11 Prèt yo pati ak Bwat Kontra Seyè a, yo fè wonn lavil yon fwa. Apre sa, yo tounen nan kan an epi yo pase nwit lan la.(Creole-HT) ======= Joshua 6:12 ============ Jos 6:12 And Joshua rose early in the morning, and the priests took up the ark of the LORD.(KJV-1611) Jos 6:12 Nan denmen maten, Jozye leve, epi prèt yo pran Bwat Kontra Seyè a ankò.(Creole-HT) ======= Joshua 6:13 ============ Jos 6:13 And seven priests bearing seven trumpets of rams' horns before the ark of the LORD went on continually, and blew with the trumpets: and the armed men went before them; but the rereward came after the ark of the LORD, the priests going on, and blowing with the trumpets.(KJV-1611) Jos 6:13 Sèt prèt yo avèk sèt kòn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kònen. Pòsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a: yo t'ap kònen tout tan yo t'ap mache a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:14 ============ Jos 6:14 And the second day they compassed the city once, and returned into the camp: so they did six days.(KJV-1611) Jos 6:14 Dezyèm jou a, yo mache fè wonn lavil la ankò yon sèl fwa. Epi yo tounen nan kan yo. Yo fè sa konsa pandan sis jou.(Creole-HT) ======= Joshua 6:15 ============ Jos 6:15 And it came to pass on the seventh day, that they rose early about the dawning of the day, and compassed the city after the same manner seven times: only on that day they compassed the city seven times.(KJV-1611) Jos 6:15 Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa.(Creole-HT) ======= Joshua 6:16 ============ Jos 6:16 And it came to pass at the seventh time, when the priests blew with the trumpets, Joshua said unto the people, Shout; for the LORD hath given you the city.(KJV-1611) Jos 6:16 Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou!(Creole-HT) ======= Joshua 6:17 ============ Jos 6:17 And the city shall be accursed, even it, and all that are therein, to the LORD: only Rahab the harlot shall live, she and all that are with her in the house, because she hid the messengers that we sent.(KJV-1611) Jos 6:17 Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:18 ============ Jos 6:18 And ye, in any wise keep yourselves from the accursed thing, lest ye make yourselves accursed, when ye take of the accursed thing, and make the camp of Israel a curse, and trouble it.(KJV-1611) Jos 6:18 Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.(Creole-HT) ======= Joshua 6:19 ============ Jos 6:19 But all the silver, and gold, and vessels of brass and iron, are consecrated unto the LORD: they shall come into the treasury of the LORD.(KJV-1611) Jos 6:19 Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:20 ============ Jos 6:20 So the people shouted when the priests blew with the trumpets: and it came to pass, when the people heard the sound of the trumpet, and the people shouted with a great shout, that the wall fell down flat, so that the people went up into the city, every man straight before him, and they took the city.(KJV-1611) Jos 6:20 Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.(Creole-HT) ======= Joshua 6:21 ============ Jos 6:21 And they utterly destroyed all that was in the city, both man and woman, young and old, and ox, and sheep, and ass, with the edge of the sword.(KJV-1611) Jos 6:21 Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.(Creole-HT) ======= Joshua 6:22 ============ Jos 6:22 But Joshua had said unto the two men that had spied out the country, Go into the harlot's house, and bring out thence the woman, and all that she hath, as ye sware unto her.(KJV-1611) Jos 6:22 Jozye rele de mesye li te voye an kachèt al vizite lavil Jeriko a, li di yo: -Ale lakay jennès la. Fè l' soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomèt li a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:23 ============ Jos 6:23 And the young men that were spies went in, and brought out Rahab, and her father, and her mother, and her brethren, and all that she had; and they brought out all her kindred, and left them without the camp of Israel.(KJV-1611) Jos 6:23 Se konsa y' ale, yo fè Rarab soti ansanm ak papa l', manman l', frè l' yo, tout rès fanmi l' yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joshua 6:24 ============ Jos 6:24 And they burnt the city with fire, and all that was therein: only the silver, and the gold, and the vessels of brass and of iron, they put into the treasury of the house of the LORD.(KJV-1611) Jos 6:24 Yo mete dife nan lavil la, yo boule l' nèt ak tou sa ki ladan l', an wetan bagay ki te fèt an lò, an ajan, an fè ak an kwiv yo. Yo pran yo, yo pote yo nan depo richès Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 6:25 ============ Jos 6:25 And Joshua saved Rahab the harlot alive, and her father's household, and all that she had; and she dwelleth in Israel even unto this day; because she hid the messengers, which Joshua sent to spy out Jericho.(KJV-1611) Jos 6:25 Men, Jozye te sove Rarab, jennès la, ak tout fanmi l' yo ansanm ak tou sa ki pou yo, paske Rarab te kache mesye Jozye te voye espyonnen lavil Jeriko a. Moun fanmi Rarab yo ap viv jouk koulye a nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 6:26 ============ Jos 6:26 And Joshua adjured them at that time, saying, Cursed be the man before the LORD, that riseth up and buildeth this city Jericho: he shall lay the foundation thereof in his firstborn, and in his youngest son shall he set up the gates of it.(KJV-1611) Jos 6:26 Lè sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pèdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pòtay li yo, l'ap pèdi dènye pitit gason l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 6:27 ============ Jos 6:27 So the LORD was with Joshua; and his fame was noised throughout all the country.(KJV-1611) Jos 6:27 Se konsa Seyè a te kanpe la avèk Jozye. Nan tout peyi a yo t'ap nonmen non l'.(Creole-HT) ======= Joshua 7:1 ============ Jos 7:1 But the children of Israel committed a trespass in the accursed thing: for Achan, the son of Carmi, the son of Zabdi, the son of Zerah, of the tribe of Judah, took of the accursed thing: and the anger of the LORD was kindled against the children of Israel.(KJV-1611) Jos 7:1 Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 7:2 ============ Jos 7:2 And Joshua sent men from Jericho to Ai, which is beside Bethaven, on the east of Bethel, and spake unto them, saying, Go up and view the country. And the men went up and viewed Ai.(KJV-1611) Jos 7:2 Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi.(Creole-HT) ======= Joshua 7:3 ============ Jos 7:3 And they returned to Joshua, and said unto him, Let not all the people go up; but let about two or three thousand men go up and smite Ai; and make not all the people to labour thither; for they are but few.(KJV-1611) Jos 7:3 Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: -Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la.(Creole-HT) ======= Joshua 7:4 ============ Jos 7:4 So there went up thither of the people about three thousand men: and they fled before the men of Ai.(KJV-1611) Jos 7:4 Lè sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak.(Creole-HT) ======= Joshua 7:5 ============ Jos 7:5 And the men of Ai smote of them about thirty and six men: for they chased them from before the gate even unto Shebarim, and smote them in the going down: wherefore the hearts of the people melted, and became as water.(KJV-1611) Jos 7:5 Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan men wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pè. Yo pèdi kouraj.(Creole-HT) ======= Joshua 7:6 ============ Jos 7:6 And Joshua rent his clothes, and fell to the earth upon his face before the ark of the LORD until the eventide, he and the elders of Israel, and put dust upon their heads.(KJV-1611) Jos 7:6 Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.(Creole-HT) ======= Joshua 7:7 ============ Jos 7:7 And Joshua said, Alas, O LORD God, wherefore hast thou at all brought this people over Jordan, to deliver us into the hand of the Amorites, to destroy us? would to God we had been content, and dwelt on the other side Jordan!(KJV-1611) Jos 7:7 Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an!(Creole-HT) ======= Joshua 7:8 ============ Jos 7:8 O LORD, what shall I say, when Israel turneth their backs before their enemies!(KJV-1611) Jos 7:8 Tanpri, Mèt mwen! Kisa m' ka di koulye a lè m' wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l' yo?(Creole-HT) ======= Joshua 7:9 ============ Jos 7:9 For the Canaanites and all the inhabitants of the land shall hear of it, and shall environ us round, and cut off our name from the earth: and what wilt thou do unto thy great name?(KJV-1611) Jos 7:9 Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?(Creole-HT) ======= Joshua 7:10 ============ Jos 7:10 And the LORD said unto Joshua, Get thee up; wherefore liest thou thus upon thy face?(KJV-1611) Jos 7:10 Seyè a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa?(Creole-HT) ======= Joshua 7:11 ============ Jos 7:11 Israel hath sinned, and they have also transgressed my covenant which I commanded them: for they have even taken of the accursed thing, and have also stolen, and dissembled also, and they have put it even among their own stuff.(KJV-1611) Jos 7:11 Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 7:12 ============ Jos 7:12 Therefore the children of Israel could not stand before their enemies, but turned their backs before their enemies, because they were accursed: neither will I be with you any more, except ye destroy the accursed from among you.(KJV-1611) Jos 7:12 Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.(Creole-HT) ======= Joshua 7:13 ============ Jos 7:13 Up, sanctify the people, and say, Sanctify yourselves against to morrow: for thus saith the LORD God of Israel, There is an accursed thing in the midst of thee, O Israel: thou canst not stand before thine enemies, until ye take away the accursed thing from among you.(KJV-1611) Jos 7:13 Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Joshua 7:14 ============ Jos 7:14 In the morning therefore ye shall be brought according to your tribes: and it shall be, that the tribe which the LORD taketh shall come according to the families thereof; and the family which the LORD shall take shall come by households; and the household which the LORD shall take shall come man by man.(KJV-1611) Jos 7:14 Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn.(Creole-HT) ======= Joshua 7:15 ============ Jos 7:15 And it shall be, that he that is taken with the accursed thing shall be burnt with fire, he and all that he hath: because he hath transgressed the covenant of the LORD, and because he hath wrought folly in Israel.(KJV-1611) Jos 7:15 Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 7:16 ============ Jos 7:16 So Joshua rose up early in the morning, and brought Israel by their tribes; and the tribe of Judah was taken:(KJV-1611) Jos 7:16 Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyè a te denonse.(Creole-HT) ======= Joshua 7:17 ============ Jos 7:17 And he brought the family of Judah; and he took the family of the Zarhites: and he brought the family of the Zarhites man by man; and Zabdi was taken:(KJV-1611) Jos 7:17 Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Seyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyè a te denonse.(Creole-HT) ======= Joshua 7:18 ============ Jos 7:18 And he brought his household man by man; and Achan, the son of Carmi, the son of Zabdi, the son of Zerah, of the tribe of Judah, was taken.(KJV-1611) Jos 7:18 Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Joshua 7:19 ============ Jos 7:19 And Joshua said unto Achan, My son, give, I pray thee, glory to the LORD God of Israel, and make confession unto him; and tell me now what thou hast done; hide it not from me.(KJV-1611) Jos 7:19 Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.(Creole-HT) ======= Joshua 7:20 ============ Jos 7:20 And Achan answered Joshua, and said, Indeed I have sinned against the LORD God of Israel, and thus and thus have I done:(KJV-1611) Jos 7:20 Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè.(Creole-HT) ======= Joshua 7:21 ============ Jos 7:21 When I saw among the spoils a goodly Babylonish garment, and two hundred shekels of silver, and a wedge of gold of fifty shekels weight, then I coveted them, and took them; and, behold, they are hid in the earth in the midst of my tent, and the silver under it.(KJV-1611) Jos 7:21 Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 7:22 ============ Jos 7:22 So Joshua sent messengers, and they ran unto the tent; and, behold, it was hid in his tent, and the silver under it.(KJV-1611) Jos 7:22 Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 7:23 ============ Jos 7:23 And they took them out of the midst of the tent, and brought them unto Joshua, and unto all the children of Israel, and laid them out before the LORD.(KJV-1611) Jos 7:23 Yo pran yo, yo soti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 7:24 ============ Jos 7:24 And Joshua, and all Israel with him, took Achan the son of Zerah, and the silver, and the garment, and the wedge of gold, and his sons, and his daughters, and his oxen, and his asses, and his sheep, and his tent, and all that he had: and they brought them unto the valley of Achor.(KJV-1611) Jos 7:24 Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè.(Creole-HT) ======= Joshua 7:25 ============ Jos 7:25 And Joshua said, Why hast thou troubled us? the LORD shall trouble thee this day. And all Israel stoned him with stones, and burned them with fire, after they had stoned them with stones.(KJV-1611) Jos 7:25 Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch.(Creole-HT) ======= Joshua 7:26 ============ Jos 7:26 And they raised over him a great heap of stones unto this day. So the LORD turned from the fierceness of his anger. Wherefore the name of that place was called, The valley of Achor, unto this day.(KJV-1611) Jos 7:26 Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Seyè a te sispann move sou pèp la.(Creole-HT) ======= Joshua 8:1 ============ Jos 8:1 And the LORD said unto Joshua, Fear not, neither be thou dismayed: take all the people of war with thee, and arise, go up to Ai: see, I have given into thy hand the king of Ai, and his people, and his city, and his land:(KJV-1611) Jos 8:1 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.(Creole-HT) ======= Joshua 8:2 ============ Jos 8:2 And thou shalt do to Ai and her king as thou didst unto Jericho and her king: only the spoil thereof, and the cattle thereof, shall ye take for a prey unto yourselves: lay thee an ambush for the city behind it.(KJV-1611) Jos 8:2 Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gen dwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè.(Creole-HT) ======= Joshua 8:3 ============ Jos 8:3 So Joshua arose, and all the people of war, to go up against Ai: and Joshua chose out thirty thousand mighty men of valour, and sent them away by night.(KJV-1611) Jos 8:3 Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit.(Creole-HT) ======= Joshua 8:4 ============ Jos 8:4 And he commanded them, saying, Behold, ye shall lie in wait against the city, even behind the city: go not very far from the city, but be ye all ready:(KJV-1611) Jos 8:4 Men lòd li ba yo: -Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake.(Creole-HT) ======= Joshua 8:5 ============ Jos 8:5 And I, and all the people that are with me, will approach unto the city: and it shall come to pass, when they come out against us, as at the first, that we will flee before them,(KJV-1611) Jos 8:5 Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m' yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo soti vin fè fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l' anvan an.(Creole-HT) ======= Joshua 8:6 ============ Jos 8:6 (For they will come out after us) till we have drawn them from the city; for they will say, They flee before us, as at the first: therefore we will flee before them.(KJV-1611) Jos 8:6 Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:7 ============ Jos 8:7 Then ye shall rise up from the ambush, and seize upon the city: for the LORD your God will deliver it into your hand.(KJV-1611) Jos 8:7 Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a soti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Seyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou.(Creole-HT) ======= Joshua 8:8 ============ Jos 8:8 And it shall be, when ye have taken the city, that ye shall set the city on fire: according to the commandment of the LORD shall ye do. See, I have commanded you.(KJV-1611) Jos 8:8 Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l' jan Seyè a te mande l' la. Men lòd mwen ban nou.(Creole-HT) ======= Joshua 8:9 ============ Jos 8:9 Joshua therefore sent them forth: and they went to lie in ambush, and abode between Bethel and Ai, on the west side of Ai: but Joshua lodged that night among the people.(KJV-1611) Jos 8:9 Se konsa, Jozye voye yo ale. Y' al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.(Creole-HT) ======= Joshua 8:10 ============ Jos 8:10 And Joshua rose up early in the morning, and numbered the people, and went up, he and the elders of Israel, before the people to Ai.(KJV-1611) Jos 8:10 Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joshua 8:11 ============ Jos 8:11 And all the people, even the people of war that were with him, went up, and drew nigh, and came before the city, and pitched on the north side of Ai: now there was a valley between them and Ai.(KJV-1611) Jos 8:11 Sòlda ki te avè l' yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:12 ============ Jos 8:12 And he took about five thousand men, and set them to lie in ambush between Bethel and Ai, on the west side of the city.(KJV-1611) Jos 8:12 Jozye pran senkmil sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl.(Creole-HT) ======= Joshua 8:13 ============ Jos 8:13 And when they had set the people, even all the host that was on the north of the city, and their liers in wait on the west of the city, Joshua went that night into the midst of the valley.(KJV-1611) Jos 8:13 Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an.(Creole-HT) ======= Joshua 8:14 ============ Jos 8:14 And it came to pass, when the king of Ai saw it, that they hasted and rose up early, and the men of the city went out against Israel to battle, he and all his people, at a time appointed, before the plain; but he wist not that there were liers in ambush against him behind the city.(KJV-1611) Jos 8:14 Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo soti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pa t' konnen yo tapral atake l' sou dèyè.(Creole-HT) ======= Joshua 8:15 ============ Jos 8:15 And Joshua and all Israel made as if they were beaten before them, and fled by the way of the wilderness.(KJV-1611) Jos 8:15 Jozye ak moun pa l' yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:16 ============ Jos 8:16 And all the people that were in Ai were called together to pursue after them: and they pursued after Joshua, and were drawn away from the city.(KJV-1611) Jos 8:16 Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè.(Creole-HT) ======= Joshua 8:17 ============ Jos 8:17 And there was not a man left in Ai or Bethel, that went not out after Israel: and they left the city open, and pursued after Israel.(KJV-1611) Jos 8:17 Pa t' gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri soti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pesonn pou defann li.(Creole-HT) ======= Joshua 8:18 ============ Jos 8:18 And the LORD said unto Joshua, Stretch out the spear that is in thy hand toward Ai; for I will give it into thine hand. And Joshua stretched out the spear that he had in his hand toward the city.(KJV-1611) Jos 8:18 Seyè a di Jozye konsa: -Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l' sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l' lan sou lavil la.(Creole-HT) ======= Joshua 8:19 ============ Jos 8:19 And the ambush arose quickly out of their place, and they ran as soon as he had stretched out his hand: and they entered into the city, and took it, and hasted and set the city on fire.(KJV-1611) Jos 8:19 Leve li leve men l', mesye ki te anbiske kò yo soti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l'.(Creole-HT) ======= Joshua 8:20 ============ Jos 8:20 And when the men of Ai looked behind them, they saw, and, behold, the smoke of the city ascended up to heaven, and they had no power to flee this way or that way: and the people that fled to the wilderness turned back upon the pursuers.(KJV-1611) Jos 8:20 Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 8:21 ============ Jos 8:21 And when Joshua and all Israel saw that the ambush had taken the city, and that the smoke of the city ascended, then they turned again, and slew the men of Ai.(KJV-1611) Jos 8:21 Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 8:22 ============ Jos 8:22 And the other issued out of the city against them; so they were in the midst of Israel, some on this side, and some on that side: and they smote them, so that they let none of them remain or escape.(KJV-1611) Jos 8:22 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,(Creole-HT) ======= Joshua 8:23 ============ Jos 8:23 And the king of Ai they took alive, and brought him to Joshua.(KJV-1611) Jos 8:23 esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.(Creole-HT) ======= Joshua 8:24 ============ Jos 8:24 And it came to pass, when Israel had made an end of slaying all the inhabitants of Ai in the field, in the wilderness wherein they chased them, and when they were all fallen on the edge of the sword, until they were consumed, that all the Israelites returned unto Ai, and smote it with the edge of the sword.(KJV-1611) Jos 8:24 Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'.(Creole-HT) ======= Joshua 8:25 ============ Jos 8:25 And so it was, that all that fell that day, both of men and women, were twelve thousand, even all the men of Ai.(KJV-1611) Jos 8:25 Jou sa a, yo touye douzmil moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:26 ============ Jos 8:26 For Joshua drew not his hand back, wherewith he stretched out the spear, until he had utterly destroyed all the inhabitants of Ai.(KJV-1611) Jos 8:26 Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:27 ============ Jos 8:27 Only the cattle and the spoil of that city Israel took for a prey unto themselves, according unto the word of the LORD which he commanded Joshua.(KJV-1611) Jos 8:27 Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la.(Creole-HT) ======= Joshua 8:28 ============ Jos 8:28 And Joshua burnt Ai, and made it an heap for ever, even a desolation unto this day.(KJV-1611) Jos 8:28 Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:29 ============ Jos 8:29 And the king of Ai he hanged on a tree until eventide: and as soon as the sun was down, Joshua commanded that they should take his carcase down from the tree, and cast it at the entering of the gate of the city, and raise thereon a great heap of stones, that remaineth unto this day.(KJV-1611) Jos 8:29 Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:30 ============ Jos 8:30 Then Joshua built an altar unto the LORD God of Israel in mount Ebal,(KJV-1611) Jos 8:30 Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal.(Creole-HT) ======= Joshua 8:31 ============ Jos 8:31 As Moses the servant of the LORD commanded the children of Israel, as it is written in the book of the law of Moses, an altar of whole stones, over which no man hath lift up any iron: and they offered thereon burnt offerings unto the LORD, and sacrificed peace offerings.(KJV-1611) Jos 8:31 Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pa t' janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Seyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon.(Creole-HT) ======= Joshua 8:32 ============ Jos 8:32 And he wrote there upon the stones a copy of the law of Moses, which he wrote in the presence of the children of Israel.(KJV-1611) Jos 8:32 Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l' sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la.(Creole-HT) ======= Joshua 8:33 ============ Jos 8:33 And all Israel, and their elders, and officers, and their judges, stood on this side the ark and on that side before the priests the Levites, which bare the ark of the covenant of the LORD, as well the stranger, as he that was born among them; half of them over against mount Gerizim, and half of them over against mount Ebal; as Moses the servant of the LORD had commanded before, that they should bless the people of Israel.(KJV-1611) Jos 8:33 Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, direktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Seyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon.(Creole-HT) ======= Joshua 8:34 ============ Jos 8:34 And afterward he read all the words of the law, the blessings and cursings, according to all that is written in the book of the law.(KJV-1611) Jos 8:34 Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.(Creole-HT) ======= Joshua 8:35 ============ Jos 8:35 There was not a word of all that Moses commanded, which Joshua read not before all the congregation of Israel, with the women, and the little ones, and the strangers that were conversant among them.(KJV-1611) Jos 8:35 Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Joshua 9:1 ============ Jos 9:1 And it came to pass, when all the kings which were on this side Jordan, in the hills, and in the valleys, and in all the coasts of the great sea over against Lebanon, the Hittite, and the Amorite, the Canaanite, the Perizzite, the Hivite, and the Jebusite, heard thereof;(KJV-1611) Jos 9:1 Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Joshua 9:2 ============ Jos 9:2 That they gathered themselves together, to fight with Joshua and with Israel, with one accord.(KJV-1611) Jos 9:2 Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 9:3 ============ Jos 9:3 And when the inhabitants of Gibeon heard what Joshua had done unto Jericho and to Ai,(KJV-1611) Jos 9:3 Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo,(Creole-HT) ======= Joshua 9:4 ============ Jos 9:4 They did work wilily, and went and made as if they had been ambassadors, and took old sacks upon their asses, and wine bottles, old, and rent, and bound up;(KJV-1611) Jos 9:4 yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati.(Creole-HT) ======= Joshua 9:5 ============ Jos 9:5 And old shoes and clouted upon their feet, and old garments upon them; and all the bread of their provision was dry and mouldy.(KJV-1611) Jos 9:5 Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo.(Creole-HT) ======= Joshua 9:6 ============ Jos 9:6 And they went to Joshua unto the camp at Gilgal, and said unto him, and to the men of Israel, We be come from a far country: now therefore make ye a league with us.(KJV-1611) Jos 9:6 Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non!(Creole-HT) ======= Joshua 9:7 ============ Jos 9:7 And the men of Israel said unto the Hivites, Peradventure ye dwell among us; and how shall we make a league with you?(KJV-1611) Jos 9:7 Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: -Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou?(Creole-HT) ======= Joshua 9:8 ============ Jos 9:8 And they said unto Joshua, We are thy servants. And Joshua said unto them, Who are ye? and from whence come ye?(KJV-1611) Jos 9:8 Moun Evi yo di Jozye: -Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: -Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou soti?(Creole-HT) ======= Joshua 9:9 ============ Jos 9:9 And they said unto him, From a very far country thy servants are come because of the name of the LORD thy God: for we have heard the fame of him, and all that he did in Egypt,(KJV-1611) Jos 9:9 Yo reponn li: -Mèt, nou soti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Seyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip,(Creole-HT) ======= Joshua 9:10 ============ Jos 9:10 And all that he did to the two kings of the Amorites, that were beyond Jordan, to Sihon king of Heshbon, and to Og king of Bashan, which was at Ashtaroth.(KJV-1611) Jos 9:10 ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt.(Creole-HT) ======= Joshua 9:11 ============ Jos 9:11 Wherefore our elders and all the inhabitants of our country spake to us, saying, Take victuals with you for the journey, and go to meet them, and say unto them, We are your servants: therefore now make ye a league with us.(KJV-1611) Jos 9:11 Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou.(Creole-HT) ======= Joshua 9:12 ============ Jos 9:12 This our bread we took hot for our provision out of our houses on the day we came forth to go unto you; but now, behold, it is dry, and it is mouldy:(KJV-1611) Jos 9:12 Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, koulye a, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt.(Creole-HT) ======= Joshua 9:13 ============ Jos 9:13 And these bottles of wine, which we filled, were new; and, behold, they be rent: and these our garments and our shoes are become old by reason of the very long journey.(KJV-1611) Jos 9:13 Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil.(Creole-HT) ======= Joshua 9:14 ============ Jos 9:14 And the men took of their victuals, and asked not counsel at the mouth of the LORD.(KJV-1611) Jos 9:14 Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa.(Creole-HT) ======= Joshua 9:15 ============ Jos 9:15 And Joshua made peace with them, and made a league with them, to let them live: and the princes of the congregation sware unto them.(KJV-1611) Jos 9:15 Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.(Creole-HT) ======= Joshua 9:16 ============ Jos 9:16 And it came to pass at the end of three days after they had made a league with them, that they heard that they were their neighbours, and that they dwelt among them.(KJV-1611) Jos 9:16 Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 9:17 ============ Jos 9:17 And the children of Israel journeyed, and came unto their cities on the third day. Now their cities were Gibeon, and Chephirah, and Beeroth, and Kirjathjearim.(KJV-1611) Jos 9:17 Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim.(Creole-HT) ======= Joshua 9:18 ============ Jos 9:18 And the children of Israel smote them not, because the princes of the congregation had sworn unto them by the LORD God of Israel. And all the congregation murmured against the princes.(KJV-1611) Jos 9:18 Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa.(Creole-HT) ======= Joshua 9:19 ============ Jos 9:19 But all the princes said unto all the congregation, We have sworn unto them by the LORD God of Israel: now therefore we may not touch them.(KJV-1611) Jos 9:19 Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo: -Depi nou fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gen dwa manyen yo.(Creole-HT) ======= Joshua 9:20 ============ Jos 9:20 This we will do to them; we will even let them live, lest wrath be upon us, because of the oath which we sware unto them.(KJV-1611) Jos 9:20 Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou.(Creole-HT) ======= Joshua 9:21 ============ Jos 9:21 And the princes said unto them, Let them live; but let them be hewers of wood and drawers of water unto all the congregation; as the princes had promised them.(KJV-1611) Jos 9:21 Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a.(Creole-HT) ======= Joshua 9:22 ============ Jos 9:22 And Joshua called for them, and he spake unto them, saying, Wherefore have ye beguiled us, saying, We are very far from you; when ye dwell among us?(KJV-1611) Jos 9:22 Jozye fè chache moun Gabawon yo, li mande yo: -Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun.(Creole-HT) ======= Joshua 9:23 ============ Jos 9:23 Now therefore ye are cursed, and there shall none of you be freed from being bondmen, and hewers of wood and drawers of water for the house of my God.(KJV-1611) Jos 9:23 Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 9:24 ============ Jos 9:24 And they answered Joshua, and said, Because it was certainly told thy servants, how that the LORD thy God commanded his servant Moses to give you all the land, and to destroy all the inhabitants of the land from before you, therefore we were sore afraid of our lives because of you, and have done this thing.(KJV-1611) Jos 9:24 Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.(Creole-HT) ======= Joshua 9:25 ============ Jos 9:25 And now, behold, we are in thine hand: as it seemeth good and right unto thee to do unto us, do.(KJV-1611) Jos 9:25 Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 9:26 ============ Jos 9:26 And so did he unto them, and delivered them out of the hand of the children of Israel, that they slew them not.(KJV-1611) Jos 9:26 Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 9:27 ============ Jos 9:27 And Joshua made them that day hewers of wood and drawers of water for the congregation, and for the altar of the LORD, even unto this day, in the place which he should choose.(KJV-1611) Jos 9:27 Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:1 ============ Jos 10:1 Now it came to pass, when Adonizedec king of Jerusalem had heard how Joshua had taken Ai, and had utterly destroyed it; as he had done to Jericho and her king, so he had done to Ai and her king; and how the inhabitants of Gibeon had made peace with Israel, and were among them;(KJV-1611) Jos 10:1 Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, te vin konnen Jozye te pran lavil Ayi a, li te detwi l' nèt tankou yon ofrann pou Seyè a, li te touye wa a menm jan li te fè l' pou lavil Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo te al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:2 ============ Jos 10:2 That they feared greatly, because Gibeon was a great city, as one of the royal cities, and because it was greater than Ai, and all the men thereof were mighty.(KJV-1611) Jos 10:2 Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= Joshua 10:3 ============ Jos 10:3 Wherefore Adonizedec king of Jerusalem, sent unto Hoham king of Hebron, and unto Piram king of Jarmuth, and unto Japhia king of Lachish, and unto Debir king of Eglon, saying,(KJV-1611) Jos 10:3 Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon.(Creole-HT) ======= Joshua 10:4 ============ Jos 10:4 Come up unto me, and help me, that we may smite Gibeon: for it hath made peace with Joshua and with the children of Israel.(KJV-1611) Jos 10:4 Li voye di yo. -Vin jwenn mwen. Vin ede m' atake lavil Gabawon, paske moun sa yo al rann tèt yo bay Jozye ak pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:5 ============ Jos 10:5 Therefore the five kings of the Amorites, the king of Jerusalem, the king of Hebron, the king of Jarmuth, the king of Lachish, the king of Eglon, gathered themselves together, and went up, they and all their hosts, and encamped before Gibeon, and made war against it.(KJV-1611) Jos 10:5 Se konsa senk wa moun Amori yo: wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la, wa lavil Eglon an, mete tèt ansanm, yo fè yon sèl lame ak tout sòlda yo. Yo sènen lavil Gabawon, yo atake l'.(Creole-HT) ======= Joshua 10:6 ============ Jos 10:6 And the men of Gibeon sent unto Joshua to the camp to Gilgal, saying, Slack not thy hand from thy servants; come up to us quickly, and save us, and help us: for all the kings of the Amorites that dwell in the mountains are gathered together against us.(KJV-1611) Jos 10:6 Moun lavil Gabawon yo voye mesaje nan kan Gilgal la di Jozye konsa: -Mèt, tanpri, pa lage nou! Prese vin jwenn nou pou ede nou, pou delivre nou. Paske tout wa moun Amori ki rete nan mòn yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè nou pou yo fini ak nou.(Creole-HT) ======= Joshua 10:7 ============ Jos 10:7 So Joshua ascended from Gilgal, he, and all the people of war with him, and all the mighty men of valour.(KJV-1611) Jos 10:7 Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati.(Creole-HT) ======= Joshua 10:8 ============ Jos 10:8 And the LORD said unto Joshua, Fear them not: for I have delivered them into thine hand; there shall not a man of them stand before thee.(KJV-1611) Jos 10:8 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.(Creole-HT) ======= Joshua 10:9 ============ Jos 10:9 Joshua therefore came unto them suddenly, and went up from Gilgal all night.(KJV-1611) Jos 10:9 Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pa t' atann.(Creole-HT) ======= Joshua 10:10 ============ Jos 10:10 And the LORD discomfited them before Israel, and slew them with a great slaughter at Gibeon, and chased them along the way that goeth up to Bethhoron, and smote them to Azekah, and unto Makkedah.(KJV-1611) Jos 10:10 Seyè a fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:11 ============ Jos 10:11 And it came to pass, as they fled from before Israel, and were in the going down to Bethhoron, that the LORD cast down great stones from heaven upon them unto Azekah, and they died: they were more which died with hailstones than they whom the children of Israel slew with the sword.(KJV-1611) Jos 10:11 Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:12 ============ Jos 10:12 Then spake Joshua to the LORD in the day when the LORD delivered up the Amorites before the children of Israel, and he said in the sight of Israel, Sun, stand thou still upon Gibeon; and thou, Moon, in the valley of Ajalon.(KJV-1611) Jos 10:12 Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!(Creole-HT) ======= Joshua 10:13 ============ Jos 10:13 And the sun stood still, and the moon stayed, until the people had avenged themselves upon their enemies. Is not this written in the book of Jasher? So the sun stood still in the midst of heaven, and hasted not to go down about a whole day.(KJV-1611) Jos 10:13 Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche.(Creole-HT) ======= Joshua 10:14 ============ Jos 10:14 And there was no day like that before it or after it, that the LORD hearkened unto the voice of a man: for the LORD fought for Israel.(KJV-1611) Jos 10:14 Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:15 ============ Jos 10:15 And Joshua returned, and all Israel with him, unto the camp to Gilgal.(KJV-1611) Jos 10:15 Apre sa, Jozye ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.(Creole-HT) ======= Joshua 10:16 ============ Jos 10:16 But these five kings fled, and hid themselves in a cave at Makkedah.(KJV-1611) Jos 10:16 Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:17 ============ Jos 10:17 And it was told Joshua, saying, The five kings are found hid in a cave at Makkedah.(KJV-1611) Jos 10:17 Y' al di Jozye yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt Makeda a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:18 ============ Jos 10:18 And Joshua said, Roll great stones upon the mouth of the cave, and set men by it for to keep them:(KJV-1611) Jos 10:18 Jozye reponn: -Woule wòch bouche bouch gwòt la. Mete moun veye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:19 ============ Jos 10:19 And stay ye not, but pursue after your enemies, and smite the hindmost of them; suffer them not to enter into their cities: for the LORD your God hath delivered them into your hand.(KJV-1611) Jos 10:19 Men, nou menm, souke kò nou. Kouri dèyè lènmi yo. Atake yo pa dèyè. Pa kite yo gen tan rive nan lavil yo! Seyè a, Bondye nou an, lage yo nan men nou.(Creole-HT) ======= Joshua 10:20 ============ Jos 10:20 And it came to pass, when Joshua and the children of Israel had made an end of slaying them with a very great slaughter, till they were consumed, that the rest which remained of them entered into fenced cities.(KJV-1611) Jos 10:20 Jozye ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:21 ============ Jos 10:21 And all the people returned to the camp to Joshua at Makkedah in peace: none moved his tongue against any of the children of Israel.(KJV-1611) Jos 10:21 Lè sa a, tout lame Jozye a tounen vin jwenn li nan kan Makeda a san pwoblèm, san danje. Pesonn pa t' penmèt yo di anyen sou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:22 ============ Jos 10:22 Then said Joshua, Open the mouth of the cave, and bring out those five kings unto me out of the cave.(KJV-1611) Jos 10:22 Lè sa a, Jozye di: -Degaje bouch gwòt la. Mennen senk wa yo deyò vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Joshua 10:23 ============ Jos 10:23 And they did so, and brought forth those five kings unto him out of the cave, the king of Jerusalem, the king of Hebron, the king of Jarmuth, the king of Lachish, and the king of Eglon.(KJV-1611) Jos 10:23 Yo degaje bouch gwòt la, yo mennen senk wa yo deyò vin jwenn li. Se te wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la ak wa lavil Eglon an.(Creole-HT) ======= Joshua 10:24 ============ Jos 10:24 And it came to pass, when they brought out those kings unto Joshua, that Joshua called for all the men of Israel, and said unto the captains of the men of war which went with him, Come near, put your feet upon the necks of these kings. And they came near, and put their feet upon the necks of them.(KJV-1611) Jos 10:24 Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 10:25 ============ Jos 10:25 And Joshua said unto them, Fear not, nor be dismayed, be strong and of good courage: for thus shall the LORD do to all your enemies against whom ye fight.(KJV-1611) Jos 10:25 Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou!(Creole-HT) ======= Joshua 10:26 ============ Jos 10:26 And afterward Joshua smote them, and slew them, and hanged them on five trees: and they were hanging upon the trees until the evening.(KJV-1611) Jos 10:26 Apre sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè.(Creole-HT) ======= Joshua 10:27 ============ Jos 10:27 And it came to pass at the time of the going down of the sun, that Joshua commanded, and they took them down off the trees, and cast them into the cave wherein they had been hid, and laid great stones in the cave's mouth, which remain until this very day.(KJV-1611) Jos 10:27 Lè solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:28 ============ Jos 10:28 And that day Joshua took Makkedah, and smote it with the edge of the sword, and the king thereof he utterly destroyed, them, and all the souls that were therein; he let none remain: and he did to the king of Makkedah as he did unto the king of Jericho.(KJV-1611) Jos 10:28 Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:29 ============ Jos 10:29 Then Joshua passed from Makkedah, and all Israel with him, unto Libnah, and fought against Libnah:(KJV-1611) Jos 10:29 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna.(Creole-HT) ======= Joshua 10:30 ============ Jos 10:30 And the LORD delivered it also, and the king thereof, into the hand of Israel; and he smote it with the edge of the sword, and all the souls that were therein; he let none remain in it; but did unto the king thereof as he did unto the king of Jericho.(KJV-1611) Jos 10:30 Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:31 ============ Jos 10:31 And Joshua passed from Libnah, and all Israel with him, unto Lachish, and encamped against it, and fought against it:(KJV-1611) Jos 10:31 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Libna, y' al atake Lakis. Yo sènen lavil la nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 10:32 ============ Jos 10:32 And the LORD delivered Lachish into the hand of Israel, which took it on the second day, and smote it with the edge of the sword, and all the souls that were therein, according to all that he had done to Libnah.(KJV-1611) Jos 10:32 Seyè a lage lavil Lakis nan men moun pèp Izrayèl yo. Sou dezyèm jou a, yo pran lavil la. Li fè yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la, menm jan yo te fè l' nan lavil Libna a, san li pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= Joshua 10:33 ============ Jos 10:33 Then Horam king of Gezer came up to help Lachish; and Joshua smote him and his people, until he had left him none remaining.(KJV-1611) Jos 10:33 Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= Joshua 10:34 ============ Jos 10:34 And from Lachish Joshua passed unto Eglon, and all Israel with him; and they encamped against it, and fought against it:(KJV-1611) Jos 10:34 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite lavil Lakis, y' al atake lavil Eglon. Yo sènen l' nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 10:35 ============ Jos 10:35 And they took it on that day, and smote it with the edge of the sword, and all the souls that were therein he utterly destroyed that day, according to all that he had done to Lachish.(KJV-1611) Jos 10:35 Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l'. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l' nan lavil Lakis la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:36 ============ Jos 10:36 And Joshua went up from Eglon, and all Israel with him, unto Hebron; and they fought against it:(KJV-1611) Jos 10:36 Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon.(Creole-HT) ======= Joshua 10:37 ============ Jos 10:37 And they took it, and smote it with the edge of the sword, and the king thereof, and all the cities thereof, and all the souls that were therein; he left none remaining, according to all that he had done to Eglon; but destroyed it utterly, and all the souls that were therein.(KJV-1611) Jos 10:37 Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l' lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:38 ============ Jos 10:38 And Joshua returned, and all Israel with him, to Debir; and fought against it:(KJV-1611) Jos 10:38 Apre sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y' al atake l'.(Creole-HT) ======= Joshua 10:39 ============ Jos 10:39 And he took it, and the king thereof, and all the cities thereof; and they smote them with the edge of the sword, and utterly destroyed all the souls that were therein; he left none remaining: as he had done to Hebron, so he did to Debir, and to the king thereof; as he had done also to Libnah, and to her king.(KJV-1611) Jos 10:39 Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.(Creole-HT) ======= Joshua 10:40 ============ Jos 10:40 So Joshua smote all the country of the hills, and of the south, and of the vale, and of the springs, and all their kings: he left none remaining, but utterly destroyed all that breathed, as the LORD God of Israel commanded.(KJV-1611) Jos 10:40 Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 10:41 ============ Jos 10:41 And Joshua smote them from Kadeshbarnea even unto Gaza, and all the country of Goshen, even unto Gibeon.(KJV-1611) Jos 10:41 Jozye bat yo depi Kadès-Banea sou bò sid rivyè Gaza, bò rivaj la, nan tout zòn Gochenn lan jouk Gabawon sou bò nò.(Creole-HT) ======= Joshua 10:42 ============ Jos 10:42 And all these kings and their land did Joshua take at one time, because the LORD God of Israel fought for Israel.(KJV-1611) Jos 10:42 Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la.(Creole-HT) ======= Joshua 10:43 ============ Jos 10:43 And Joshua returned, and all Israel with him, unto the camp to Gilgal.(KJV-1611) Jos 10:43 Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.(Creole-HT) ======= Joshua 11:1 ============ Jos 11:1 And it came to pass, when Jabin king of Hazor had heard those things, that he sent to Jobab king of Madon, and to the king of Shimron, and to the king of Achshaph,(KJV-1611) Jos 11:1 Nouvèl tout bagay sa yo rive nan zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf,(Creole-HT) ======= Joshua 11:2 ============ Jos 11:2 And to the kings that were on the north of the mountains, and of the plains south of Chinneroth, and in the valley, and in the borders of Dor on the west,(KJV-1611) Jos 11:2 bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Joshua 11:3 ============ Jos 11:3 And to the Canaanite on the east and on the west, and to the Amorite, and the Hittite, and the Perizzite, and the Jebusite in the mountains, and to the Hivite under Hermon in the land of Mizpeh.(KJV-1611) Jos 11:3 Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa.(Creole-HT) ======= Joshua 11:4 ============ Jos 11:4 And they went out, they and all their hosts with them, much people, even as the sand that is upon the sea shore in multitude, with horses and chariots very many.(KJV-1611) Jos 11:4 Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè.(Creole-HT) ======= Joshua 11:5 ============ Jos 11:5 And when all these kings were met together, they came and pitched together at the waters of Merom, to fight against Israel.(KJV-1611) Jos 11:5 Wa yo pran randevou, yo mete tout sòlda yo ansanm. Yo rive, yo moute kan yo yonn sou kote lòt, toupre dlo Mewòm yo, pou yo atake pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 11:6 ============ Jos 11:6 And the LORD said unto Joshua, Be not afraid because of them: for to morrow about this time will I deliver them up all slain before Israel: thou shalt hough their horses, and burn their chariots with fire.(KJV-1611) Jos 11:6 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:7 ============ Jos 11:7 So Joshua came, and all the people of war with him, against them by the waters of Merom suddenly; and they fell upon them.(KJV-1611) Jos 11:7 Se konsa, Jozye rive bò dlo Mewòm lan ak tout sòlda li yo, li tonbe sou lènmi yo san yo pa t' atann, li atake yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:8 ============ Jos 11:8 And the LORD delivered them into the hand of Israel, who smote them, and chased them unto great Zidon, and unto Misrephothmaim, and unto the valley of Mizpeh eastward; and they smote them, until they left them none remaining.(KJV-1611) Jos 11:8 Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.(Creole-HT) ======= Joshua 11:9 ============ Jos 11:9 And Joshua did unto them as the LORD bade him: he houghed their horses, and burnt their chariots with fire.(KJV-1611) Jos 11:9 Jozye fè yo tou sa Seyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:10 ============ Jos 11:10 And Joshua at that time turned back, and took Hazor, and smote the king thereof with the sword: for Hazor beforetime was the head of all those kingdoms.(KJV-1611) Jos 11:10 Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:11 ============ Jos 11:11 And they smote all the souls that were therein with the edge of the sword, utterly destroying them: there was not any left to breathe: and he burnt Hazor with fire.(KJV-1611) Jos 11:11 Li fè touye dènye moun ak dènye bèt vivan ki te la tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a. Yo pa kite yonn ladan yo chape. Lèfini, yo mete dife nan lavil la.(Creole-HT) ======= Joshua 11:12 ============ Jos 11:12 And all the cities of those kings, and all the kings of them, did Joshua take, and smote them with the edge of the sword, and he utterly destroyed them, as Moses the servant of the LORD commanded.(KJV-1611) Jos 11:12 Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 11:13 ============ Jos 11:13 But as for the cities that stood still in their strength, Israel burned none of them, save Hazor only; that did Joshua burn.(KJV-1611) Jos 11:13 Men, moun Izrayèl yo pa t' boule ankenn lavil nan lavil ki te bati sou ti mòn yo, an wetan lavil Azò Jozye te fè boule.(Creole-HT) ======= Joshua 11:14 ============ Jos 11:14 And all the spoil of these cities, and the cattle, the children of Israel took for a prey unto themselves; but every man they smote with the edge of the sword, until they had destroyed them, neither left they any to breathe.(KJV-1611) Jos 11:14 Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= Joshua 11:15 ============ Jos 11:15 As the LORD commanded Moses his servant, so did Moses command Joshua, and so did Joshua; he left nothing undone of all that the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Jos 11:15 Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen.(Creole-HT) ======= Joshua 11:16 ============ Jos 11:16 So Joshua took all that land, the hills, and all the south country, and all the land of Goshen, and the valley, and the plain, and the mountain of Israel, and the valley of the same;(KJV-1611) Jos 11:16 Jozye ak pèp Izrayèl la te pran tout peyi a nan men moun yo, ki vle di: mòn yo, tout Negèv la, tout peyi Gochenn lan, plenn yo, Fon Jouden an, tout mòn ak tout ti bit peyi Izrayèl yo,(Creole-HT) ======= Joshua 11:17 ============ Jos 11:17 Even from the mount Halak, that goeth up to Seir, even unto Baalgad in the valley of Lebanon under mount Hermon: and all their kings he took, and smote them, and slew them.(KJV-1611) Jos 11:17 depi Mòn Alak ki toupre peyi Seyi a, jouk Baal-Gad ki nan fon Liban an nan pye mòn Emon an. Li mete men sou tout wa yo, li bat yo, li touye yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:18 ============ Jos 11:18 Joshua made war a long time with all those kings.(KJV-1611) Jos 11:18 Jozye te pase yon bon tan ap fè lagè ak wa sa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 11:19 ============ Jos 11:19 There was not a city that made peace with the children of Israel, save the Hivites the inhabitants of Gibeon: all other they took in battle.(KJV-1611) Jos 11:19 An wetan lavil Gabawon kote moun Evi yo te rete a, pa t' gen ankenn lavil ki te vle fè lapè ak moun pèp Izrayèl yo,(Creole-HT) ======= Joshua 11:20 ============ Jos 11:20 For it was of the LORD to harden their hearts, that they should come against Israel in battle, that he might destroy them utterly, and that they might have no favour, but that he might destroy them, as the LORD commanded Moses.(KJV-1611) Jos 11:20 paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.(Creole-HT) ======= Joshua 11:21 ============ Jos 11:21 And at that time came Joshua, and cut off the Anakims from the mountains, from Hebron, from Debir, from Anab, and from all the mountains of Judah, and from all the mountains of Israel: Joshua destroyed them utterly with their cities.(KJV-1611) Jos 11:21 Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 11:22 ============ Jos 11:22 There was none of the Anakims left in the land of the children of Israel: only in Gaza, in Gath, and in Ashdod, there remained.(KJV-1611) Jos 11:22 Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd.(Creole-HT) ======= Joshua 11:23 ============ Jos 11:23 So Joshua took the whole land, according to all that the LORD said unto Moses; and Joshua gave it for an inheritance unto Israel according to their divisions by their tribes. And the land rested from war.(KJV-1611) Jos 11:23 Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.(Creole-HT) ======= Joshua 12:1 ============ Jos 12:1 Now these are the kings of the land, which the children of Israel smote, and possessed their land on the other side Jordan toward the rising of the sun, from the river Arnon unto mount Hermon, and all the plain on the east:(KJV-1611) Jos 12:1 Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon.(Creole-HT) ======= Joshua 12:2 ============ Jos 12:2 Sihon king of the Amorites, who dwelt in Heshbon, and ruled from Aroer, which is upon the bank of the river Arnon, and from the middle of the river, and from half Gilead, even unto the river Jabbok, which is the border of the children of Ammon;(KJV-1611) Jos 12:2 Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la.(Creole-HT) ======= Joshua 12:3 ============ Jos 12:3 And from the plain to the sea of Chinneroth on the east, and unto the sea of the plain, even the salt sea on the east, the way to Bethjeshimoth; and from the south, under Ashdothpisgah:(KJV-1611) Jos 12:3 Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a.(Creole-HT) ======= Joshua 12:4 ============ Jos 12:4 And the coast of Og king of Bashan, which was of the remnant of the giants, that dwelt at Ashtaroth and at Edrei,(KJV-1611) Jos 12:4 Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi.(Creole-HT) ======= Joshua 12:5 ============ Jos 12:5 And reigned in mount Hermon, and in Salcah, and in all Bashan, unto the border of the Geshurites and the Maachathites, and half Gilead, the border of Sihon king of Heshbon.(KJV-1611) Jos 12:5 Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon.(Creole-HT) ======= Joshua 12:6 ============ Jos 12:6 Them did Moses the servant of the LORD and the children of Israel smite: and Moses the servant of the LORD gave it for a possession unto the Reubenites, and the Gadites, and the half tribe of Manasseh.(KJV-1611) Jos 12:6 Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a.(Creole-HT) ======= Joshua 12:7 ============ Jos 12:7 And these are the kings of the country which Joshua and the children of Israel smote on this side Jordan on the west, from Baalgad in the valley of Lebanon even unto the mount Halak, that goeth up to Seir; which Joshua gave unto the tribes of Israel for a possession according to their divisions;(KJV-1611) Jos 12:7 Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 12:8 ============ Jos 12:8 In the mountains, and in the valleys, and in the plains, and in the springs, and in the wilderness, and in the south country; the Hittites, the Amorites, and the Canaanites, the Perizzites, the Hivites, and the Jebusites:(KJV-1611) Jos 12:8 Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete.(Creole-HT) ======= Joshua 12:9 ============ Jos 12:9 The king of Jericho, one; the king of Ai, which is beside Bethel, one;(KJV-1611) Jos 12:9 Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl,(Creole-HT) ======= Joshua 12:10 ============ Jos 12:10 The king of Jerusalem, one; the king of Hebron, one;(KJV-1611) Jos 12:10 wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon,(Creole-HT) ======= Joshua 12:11 ============ Jos 12:11 The king of Jarmuth, one; the king of Lachish, one;(KJV-1611) Jos 12:11 wa lavil Jamout, wa lavil Lakis,(Creole-HT) ======= Joshua 12:12 ============ Jos 12:12 The king of Eglon, one; the king of Gezer, one;(KJV-1611) Jos 12:12 wa lavil Eglon, wa lavil Gezè,(Creole-HT) ======= Joshua 12:13 ============ Jos 12:13 The king of Debir, one; the king of Geder, one;(KJV-1611) Jos 12:13 wa lavil Debi, wa lavil Gedè,(Creole-HT) ======= Joshua 12:14 ============ Jos 12:14 The king of Hormah, one; the king of Arad, one;(KJV-1611) Jos 12:14 wa lavil Oma, wa lavil Arad,(Creole-HT) ======= Joshua 12:15 ============ Jos 12:15 The king of Libnah, one; the king of Adullam, one;(KJV-1611) Jos 12:15 wa lavil Libna, wa lavil Adoulam,(Creole-HT) ======= Joshua 12:16 ============ Jos 12:16 The king of Makkedah, one; the king of Bethel, one;(KJV-1611) Jos 12:16 wa lavil Makeda, wa lavil Betèl,(Creole-HT) ======= Joshua 12:17 ============ Jos 12:17 The king of Tappuah, one; the king of Hepher, one;(KJV-1611) Jos 12:17 wa lavil Tapwach, wa lavil Efè,(Creole-HT) ======= Joshua 12:18 ============ Jos 12:18 The king of Aphek, one; the king of Lasharon, one;(KJV-1611) Jos 12:18 wa lavil Afèk, wa lavil Sawon,(Creole-HT) ======= Joshua 12:19 ============ Jos 12:19 The king of Madon, one; the king of Hazor, one;(KJV-1611) Jos 12:19 wa lavil Madòn, wa lavil Azò,(Creole-HT) ======= Joshua 12:20 ============ Jos 12:20 The king of Shimronmeron, one; the king of Achshaph, one;(KJV-1611) Jos 12:20 wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf,(Creole-HT) ======= Joshua 12:21 ============ Jos 12:21 The king of Taanach, one; the king of Megiddo, one;(KJV-1611) Jos 12:21 wa lavil Tanak, wa lavil Megido,(Creole-HT) ======= Joshua 12:22 ============ Jos 12:22 The king of Kedesh, one; the king of Jokneam of Carmel, one;(KJV-1611) Jos 12:22 wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la,(Creole-HT) ======= Joshua 12:23 ============ Jos 12:23 The king of Dor in the coast of Dor, one; the king of the nations of Gilgal, one;(KJV-1611) Jos 12:23 wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile,(Creole-HT) ======= Joshua 12:24 ============ Jos 12:24 The king of Tirzah, one: all the kings thirty and one.(KJV-1611) Jos 12:24 wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.(Creole-HT) ======= Joshua 13:1 ============ Jos 13:1 Now Joshua was old and stricken in years; and the LORD said unto him, Thou art old and stricken in years, and there remaineth yet very much land to be possessed.(KJV-1611) Jos 13:1 Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran.(Creole-HT) ======= Joshua 13:2 ============ Jos 13:2 This is the land that yet remaineth: all the borders of the Philistines, and all Geshuri,(KJV-1611) Jos 13:2 Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo,(Creole-HT) ======= Joshua 13:3 ============ Jos 13:3 From Sihor, which is before Egypt, even unto the borders of Ekron northward, which is counted to the Canaanite: five lords of the Philistines; the Gazathites, and the Ashdothites, the Eshkalonites, the Gittites, and the Ekronites; also the Avites:(KJV-1611) Jos 13:3 ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,(Creole-HT) ======= Joshua 13:4 ============ Jos 13:4 From the south, all the land of the Canaanites, and Mearah that is beside the Sidonians unto Aphek, to the borders of the Amorites:(KJV-1611) Jos 13:4 sou bò sid la, tout peyi moun Kanaran yo, depi lavil Meara ki pou moun Sidon yo jouk Afeka, sou fwontyè peyi Amori a.(Creole-HT) ======= Joshua 13:5 ============ Jos 13:5 And the land of the Giblites, and all Lebanon, toward the sunrising, from Baalgad under mount Hermon unto the entering into Hamath.(KJV-1611) Jos 13:5 Te rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a.(Creole-HT) ======= Joshua 13:6 ============ Jos 13:6 All the inhabitants of the hill country from Lebanon unto Misrephothmaim, and all the Sidonians, them will I drive out from before the children of Israel: only divide thou it by lot unto the Israelites for an inheritance, as I have commanded thee.(KJV-1611) Jos 13:6 Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la.(Creole-HT) ======= Joshua 13:7 ============ Jos 13:7 Now therefore divide this land for an inheritance unto the nine tribes, and the half tribe of Manasseh,(KJV-1611) Jos 13:7 Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:8 ============ Jos 13:8 With whom the Reubenites and the Gadites have received their inheritance, which Moses gave them, beyond Jordan eastward, even as Moses the servant of the LORD gave them;(KJV-1611) Jos 13:8 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.(Creole-HT) ======= Joshua 13:9 ============ Jos 13:9 From Aroer, that is upon the bank of the river Arnon, and the city that is in the midst of the river, and all the plain of Medeba unto Dibon;(KJV-1611) Jos 13:9 Peyi yo a te soti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon.(Creole-HT) ======= Joshua 13:10 ============ Jos 13:10 And all the cities of Sihon king of the Amorites, which reigned in Heshbon, unto the border of the children of Ammon;(KJV-1611) Jos 13:10 Li pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout rèy li, li rive jouk sou fwontyè moun Amon yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:11 ============ Jos 13:11 And Gilead, and the border of the Geshurites and Maachathites, and all mount Hermon, and all Bashan unto Salcah;(KJV-1611) Jos 13:11 Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka.(Creole-HT) ======= Joshua 13:12 ============ Jos 13:12 All the kingdom of Og in Bashan, which reigned in Ashtaroth and in Edrei, who remained of the remnant of the giants: for these did Moses smite, and cast them out.(KJV-1611) Jos 13:12 Nan peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:13 ============ Jos 13:13 Nevertheless the children of Israel expelled not the Geshurites, nor the Maachathites: but the Geshurites and the Maachathites dwell among the Israelites until this day.(KJV-1611) Jos 13:13 Men, pèp Izrayèl la pa t' mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou.(Creole-HT) ======= Joshua 13:14 ============ Jos 13:14 Only unto the tribes of Levi he gave none inheritance; the sacrifices of the LORD God of Israel made by fire are their inheritance, as he said unto them.(KJV-1611) Jos 13:14 Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 13:15 ============ Jos 13:15 And Moses gave unto the tribe of the children of Reuben inheritance according to their families.(KJV-1611) Jos 13:15 Moyiz te separe tè branch fanmi Woubenn lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:16 ============ Jos 13:16 And their coast was from Aroer, that is on the bank of the river Arnon, and the city that is in the midst of the river, and all the plain by Medeba;(KJV-1611) Jos 13:16 Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,(Creole-HT) ======= Joshua 13:17 ============ Jos 13:17 Heshbon, and all her cities that are in the plain; Dibon, and Bamothbaal, and Bethbaalmeon,(KJV-1611) Jos 13:17 lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal Meyon,(Creole-HT) ======= Joshua 13:18 ============ Jos 13:18 And Jahaza, and Kedemoth, and Mephaath,(KJV-1611) Jos 13:18 Jaza, Kedemòt, Mefrat,(Creole-HT) ======= Joshua 13:19 ============ Jos 13:19 And Kirjathaim, and Sibmah, and Zarethshahar in the mount of the valley,(KJV-1611) Jos 13:19 Kiryatayim, Libna ak Zerèt acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an,(Creole-HT) ======= Joshua 13:20 ============ Jos 13:20 And Bethpeor, and Ashdothpisgah, and Bethjeshimoth,(KJV-1611) Jos 13:20 Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt ajechimòt,(Creole-HT) ======= Joshua 13:21 ============ Jos 13:21 And all the cities of the plain, and all the kingdom of Sihon king of the Amorites, which reigned in Heshbon, whom Moses smote with the princes of Midian, Evi, and Rekem, and Zur, and Hur, and Reba, which were dukes of Sihon, dwelling in the country.(KJV-1611) Jos 13:21 tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l' ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon.(Creole-HT) ======= Joshua 13:22 ============ Jos 13:22 Balaam also the son of Beor, the soothsayer, did the children of Israel slay with the sword among them that were slain by them.(KJV-1611) Jos 13:22 Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a.(Creole-HT) ======= Joshua 13:23 ============ Jos 13:23 And the border of the children of Reuben was Jordan, and the border thereof. This was the inheritance of the children of Reuben after their families, the cities and the villages thereof.(KJV-1611) Jos 13:23 Pòsyon tè moun branch fanmi Woubenn yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Woubenn yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.(Creole-HT) ======= Joshua 13:24 ============ Jos 13:24 And Moses gave inheritance unto the tribe of Gad, even unto the children of Gad according to their families.(KJV-1611) Jos 13:24 Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:25 ============ Jos 13:25 And their coast was Jazer, and all the cities of Gilead, and half the land of the children of Ammon, unto Aroer that is before Rabbah;(KJV-1611) Jos 13:25 Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba.(Creole-HT) ======= Joshua 13:26 ============ Jos 13:26 And from Heshbon unto Ramathmizpeh, and Betonim; and from Mahanaim unto the border of Debir;(KJV-1611) Jos 13:26 Li te pran depi Esbon jouk Ramat Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fwontyè peyi Lodeba.(Creole-HT) ======= Joshua 13:27 ============ Jos 13:27 And in the valley, Betharam, and Bethnimrah, and Succoth, and Zaphon, the rest of the kingdom of Sihon king of Heshbon, Jordan and his border, even unto the edge of the sea of Chinnereth on the other side Jordan eastward.(KJV-1611) Jos 13:27 Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Joshua 13:28 ============ Jos 13:28 This is the inheritance of the children of Gad after their families, the cities, and their villages.(KJV-1611) Jos 13:28 Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.(Creole-HT) ======= Joshua 13:29 ============ Jos 13:29 And Moses gave inheritance unto the half tribe of Manasseh: and this was the possession of the half tribe of the children of Manasseh by their families.(KJV-1611) Jos 13:29 Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:30 ============ Jos 13:30 And their coast was from Mahanaim, all Bashan, all the kingdom of Og king of Bashan, and all the towns of Jair, which are in Bashan, threescore cities:(KJV-1611) Jos 13:30 Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an,(Creole-HT) ======= Joshua 13:31 ============ Jos 13:31 And half Gilead, and Ashtaroth, and Edrei, cities of the kingdom of Og in Bashan, were pertaining unto the children of Machir the son of Manasseh, even to the one half of the children of Machir by their families.(KJV-1611) Jos 13:31 mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:32 ============ Jos 13:32 These are the countries which Moses did distribute for inheritance in the plains of Moab, on the other side Jordan, by Jericho, eastward.(KJV-1611) Jos 13:32 Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Moab yo.(Creole-HT) ======= Joshua 13:33 ============ Jos 13:33 But unto the tribe of Levi Moses gave not any inheritance: the LORD God of Israel was their inheritance, as he said unto them.(KJV-1611) Jos 13:33 Men, Moyiz pa t' bay moun branch fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 14:1 ============ Jos 14:1 And these are the countries which the children of Israel inherited in the land of Canaan, which Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun, and the heads of the fathers of the tribes of the children of Israel, distributed for inheritance to them.(KJV-1611) Jos 14:1 Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 14:2 ============ Jos 14:2 By lot was their inheritance, as the LORD commanded by the hand of Moses, for the nine tribes, and for the half tribe.(KJV-1611) Jos 14:2 Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.(Creole-HT) ======= Joshua 14:3 ============ Jos 14:3 For Moses had given the inheritance of two tribes and an half tribe on the other side Jordan: but unto the Levites he gave none inheritance among them.(KJV-1611) Jos 14:3 Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 14:4 ============ Jos 14:4 For the children of Joseph were two tribes, Manasseh and Ephraim: therefore they gave no part unto the Levites in the land, save cities to dwell in, with their suburbs for their cattle and for their substance.(KJV-1611) Jos 14:4 Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo.(Creole-HT) ======= Joshua 14:5 ============ Jos 14:5 As the LORD commanded Moses, so the children of Israel did, and they divided the land.(KJV-1611) Jos 14:5 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 14:6 ============ Jos 14:6 Then the children of Judah came unto Joshua in Gilgal: and Caleb the son of Jephunneh the Kenezite said unto him, Thou knowest the thing that the LORD said unto Moses the man of God concerning me and thee in Kadeshbarnea.(KJV-1611) Jos 14:6 Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.(Creole-HT) ======= Joshua 14:7 ============ Jos 14:7 Forty years old was I when Moses the servant of the LORD sent me from Kadeshbarnea to espy out the land; and I brought him word again as it was in mine heart.(KJV-1611) Jos 14:7 Mwen te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Seyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m' al vizite tout peyi sa a. Lè m' tounen, mwen fè l' yon bon rapò dapre sa m' te wè.(Creole-HT) ======= Joshua 14:8 ============ Jos 14:8 Nevertheless my brethren that went up with me made the heart of the people melt: but I wholly followed the LORD my God.(KJV-1611) Jos 14:8 Moun ki te moute avè m' yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Seyè a, Bondye mwen an, te vle m' fè.(Creole-HT) ======= Joshua 14:9 ============ Jos 14:9 And Moses sware on that day, saying, Surely the land whereon thy feet have trodden shall be thine inheritance, and thy children's for ever, because thou hast wholly followed the LORD my God.(KJV-1611) Jos 14:9 Lè sa a, Moyiz fè m' pwomès sa a, li di m': Ou wè ou menm, ou fè tou sa Seyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou.(Creole-HT) ======= Joshua 14:10 ============ Jos 14:10 And now, behold, the LORD hath kept me alive, as he said, these forty and five years, even since the LORD spake this word unto Moses, while the children of Israel wandered in the wilderness: and now, lo, I am this day fourscore and five years old.(KJV-1611) Jos 14:10 Gade! Seyè a kenbe pwomès li, li pa kite m' gen tan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Seyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Koulye a mwen gen katrevensenkan.(Creole-HT) ======= Joshua 14:11 ============ Jos 14:11 As yet I am as strong this day as I was in the day that Moses sent me: as my strength was then, even so is my strength now, for war, both to go out, and to come in.(KJV-1611) Jos 14:11 Men, mwen santi m' vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m' al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m' jan m' te konn fè l' lè sa a.(Creole-HT) ======= Joshua 14:12 ============ Jos 14:12 Now therefore give me this mountain, whereof the LORD spake in that day; for thou heardest in that day how the Anakims were there, and that the cities were great and fenced: if so be the LORD will be with me, then I shall be able to drive them out, as the LORD said.(KJV-1611) Jos 14:12 Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 14:13 ============ Jos 14:13 And Joshua blessed him, and gave unto Caleb the son of Jephunneh Hebron for an inheritance.(KJV-1611) Jos 14:13 Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li.(Creole-HT) ======= Joshua 14:14 ============ Jos 14:14 Hebron therefore became the inheritance of Caleb the son of Jephunneh the Kenezite unto this day, because that he wholly followed the LORD God of Israel.(KJV-1611) Jos 14:14 Jouk koulye a, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l' fè.(Creole-HT) ======= Joshua 14:15 ============ Jos 14:15 And the name of Hebron before was Kirjatharba; which Arba was a great man among the Anakims. And the land had rest from war.(KJV-1611) Jos 14:15 Nan tan lontan, yo te rele lavil Ebwon an Kiriyat aba. Aba sa a, se li ki te pi gwonèg nan tout ras moun Anak yo. Depi apre lè sa a, peyi a t'ap viv ak kè poze. Pa t' gen goumen ankò.(Creole-HT) ======= Joshua 15:1 ============ Jos 15:1 This then was the lot of the tribe of the children of Judah by their families; even to the border of Edom the wilderness of Zin southward was the uttermost part of the south coast.(KJV-1611) Jos 15:1 Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.(Creole-HT) ======= Joshua 15:2 ============ Jos 15:2 And their south border was from the shore of the salt sea, from the bay that looketh southward:(KJV-1611) Jos 15:2 Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a,(Creole-HT) ======= Joshua 15:3 ============ Jos 15:3 And it went out to the south side to Maalehacrabbim, and passed along to Zin, and ascended up on the south side unto Kadeshbarnea, and passed along to Hezron, and went up to Adar, and fetched a compass to Karkaa:(KJV-1611) Jos 15:3 li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l' pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka,(Creole-HT) ======= Joshua 15:4 ============ Jos 15:4 From thence it passed toward Azmon, and went out unto the river of Egypt; and the goings out of that coast were at the sea: this shall be your south coast.(KJV-1611) Jos 15:4 li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:5 ============ Jos 15:5 And the east border was the salt sea, even unto the end of Jordan. And their border in the north quarter was from the bay of the sea at the uttermost part of Jordan:(KJV-1611) Jos 15:5 Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fwontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fwontyè nò a te konmanse.(Creole-HT) ======= Joshua 15:6 ============ Jos 15:6 And the border went up to Bethhogla, and passed along by the north of Betharabah; and the border went up to the stone of Bohan the son of Reuben:(KJV-1611) Jos 15:6 Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt araba, li rive jouk Wòch Boan. Boan, se non yonn nan pitit gason Woubenn yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:7 ============ Jos 15:7 And the border went up toward Debir from the valley of Achor, and so northward, looking toward Gilgal, that is before the going up to Adummim, which is on the south side of the river: and the border passed toward the waters of Enshemesh, and the goings out thereof were at Enrogel:(KJV-1611) Jos 15:7 Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl.(Creole-HT) ======= Joshua 15:8 ============ Jos 15:8 And the border went up by the valley of the son of Hinnom unto the south side of the Jebusite; the same is Jerusalem: and the border went up to the top of the mountain that lieth before the valley of Hinnom westward, which is at the end of the valley of the giants northward:(KJV-1611) Jos 15:8 Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:9 ============ Jos 15:9 And the border was drawn from the top of the hill unto the fountain of the water of Nephtoah, and went out to the cities of mount Ephron; and the border was drawn to Baalah, which is Kirjathjearim:(KJV-1611) Jos 15:9 Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou).(Creole-HT) ======= Joshua 15:10 ============ Jos 15:10 And the border compassed from Baalah westward unto mount Seir, and passed along unto the side of mount Jearim, which is Chesalon, on the north side, and went down to Bethshemesh, and passed on to Timnah:(KJV-1611) Jos 15:10 Li soti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bètchemèch, li travèse Timna,(Creole-HT) ======= Joshua 15:11 ============ Jos 15:11 And the border went out unto the side of Ekron northward: and the border was drawn to Shicron, and passed along to mount Baalah, and went out unto Jabneel; and the goings out of the border were at the sea.(KJV-1611) Jos 15:11 li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè.(Creole-HT) ======= Joshua 15:12 ============ Jos 15:12 And the west border was to the great sea, and the coast thereof. This is the coast of the children of Judah round about according to their families.(KJV-1611) Jos 15:12 Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Joshua 15:13 ============ Jos 15:13 And unto Caleb the son of Jephunneh he gave a part among the children of Judah, according to the commandment of the LORD to Joshua, even the city of Arba the father of Anak, which city is Hebron.(KJV-1611) Jos 15:13 Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon).(Creole-HT) ======= Joshua 15:14 ============ Jos 15:14 And Caleb drove thence the three sons of Anak, Sheshai, and Ahiman, and Talmai, the children of Anak.(KJV-1611) Jos 15:14 Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi,(Creole-HT) ======= Joshua 15:15 ============ Jos 15:15 And he went up thence to the inhabitants of Debir: and the name of Debir before was Kirjathsepher.(KJV-1611) Jos 15:15 Apre sa, li kite Ebwon, l' al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè).(Creole-HT) ======= Joshua 15:16 ============ Jos 15:16 And Caleb said, He that smiteth Kirjathsepher, and taketh it, to him will I give Achsah my daughter to wife.(KJV-1611) Jos 15:16 Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.(Creole-HT) ======= Joshua 15:17 ============ Jos 15:17 And Othniel the son of Kenaz, the brother of Caleb, took it: and he gave him Achsah his daughter to wife.(KJV-1611) Jos 15:17 Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.(Creole-HT) ======= Joshua 15:18 ============ Jos 15:18 And it came to pass, as she came unto him, that she moved him to ask of her father a field: and she lighted off her ass; and Caleb said unto her, What wouldest thou?(KJV-1611) Jos 15:18 Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen?(Creole-HT) ======= Joshua 15:19 ============ Jos 15:19 Who answered, Give me a blessing; for thou hast given me a south land; give me also springs of water. And he gave her the upper springs, and the nether springs.(KJV-1611) Jos 15:19 Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:20 ============ Jos 15:20 This is the inheritance of the tribe of the children of Judah according to their families.(KJV-1611) Jos 15:20 Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.(Creole-HT) ======= Joshua 15:21 ============ Jos 15:21 And the uttermost cities of the tribe of the children of Judah toward the coast of Edom southward were Kabzeel, and Eder, and Jagur,(KJV-1611) Jos 15:21 Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,(Creole-HT) ======= Joshua 15:22 ============ Jos 15:22 And Kinah, and Dimonah, and Adadah,(KJV-1611) Jos 15:22 Kina, Dimona, Adada,(Creole-HT) ======= Joshua 15:23 ============ Jos 15:23 And Kedesh, and Hazor, and Ithnan,(KJV-1611) Jos 15:23 Kedèch, Azò-Yitnan,(Creole-HT) ======= Joshua 15:24 ============ Jos 15:24 Ziph, and Telem, and Bealoth,(KJV-1611) Jos 15:24 Zif, Telèm, Bejalòt,(Creole-HT) ======= Joshua 15:25 ============ Jos 15:25 And Hazor, Hadattah, and Kerioth, and Hezron, which is Hazor,(KJV-1611) Jos 15:25 Azò adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou),(Creole-HT) ======= Joshua 15:26 ============ Jos 15:26 Amam, and Shema, and Moladah,(KJV-1611) Jos 15:26 Aman, Chema, Molada,(Creole-HT) ======= Joshua 15:27 ============ Jos 15:27 And Hazargaddah, and Heshmon, and Bethpalet,(KJV-1611) Jos 15:27 Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt,(Creole-HT) ======= Joshua 15:28 ============ Jos 15:28 And Hazarshual, and Beersheba, and Bizjothjah,(KJV-1611) Jos 15:28 Aza-Chwal, Bècheba, Biziotya,(Creole-HT) ======= Joshua 15:29 ============ Jos 15:29 Baalah, and Iim, and Azem,(KJV-1611) Jos 15:29 Bala, Iyim, Azèm,(Creole-HT) ======= Joshua 15:30 ============ Jos 15:30 And Eltolad, and Chesil, and Hormah,(KJV-1611) Jos 15:30 Eltola, Kesil, Oma,(Creole-HT) ======= Joshua 15:31 ============ Jos 15:31 And Ziklag, and Madmannah, and Sansannah,(KJV-1611) Jos 15:31 Ziklag, Madmana, Sansana,(Creole-HT) ======= Joshua 15:32 ============ Jos 15:32 And Lebaoth, and Shilhim, and Ain, and Rimmon: all the cities are twenty and nine, with their villages:(KJV-1611) Jos 15:32 Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:33 ============ Jos 15:33 And in the valley, Eshtaol, and Zoreah, and Ashnah,(KJV-1611) Jos 15:33 Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,(Creole-HT) ======= Joshua 15:34 ============ Jos 15:34 And Zanoah, and Engannim, Tappuah, and Enam,(KJV-1611) Jos 15:34 Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan,(Creole-HT) ======= Joshua 15:35 ============ Jos 15:35 Jarmuth, and Adullam, Socoh, and Azekah,(KJV-1611) Jos 15:35 Jamout, Adoulam, Soko, Azeka,(Creole-HT) ======= Joshua 15:36 ============ Jos 15:36 And Sharaim, and Adithaim, and Gederah, and Gederothaim; fourteen cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:36 Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:37 ============ Jos 15:37 Zenan, and Hadashah, and Migdalgad,(KJV-1611) Jos 15:37 Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad,(Creole-HT) ======= Joshua 15:38 ============ Jos 15:38 And Dilean, and Mizpeh, and Joktheel,(KJV-1611) Jos 15:38 Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl,(Creole-HT) ======= Joshua 15:39 ============ Jos 15:39 Lachish, and Bozkath, and Eglon,(KJV-1611) Jos 15:39 Lakis, Boska, Eglon,(Creole-HT) ======= Joshua 15:40 ============ Jos 15:40 And Cabbon, and Lahmam, and Kithlish,(KJV-1611) Jos 15:40 Kabon, Lamas, Kitlis,(Creole-HT) ======= Joshua 15:41 ============ Jos 15:41 And Gederoth, Bethdagon, and Naamah, and Makkedah; sixteen cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:41 Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:42 ============ Jos 15:42 Libnah, and Ether, and Ashan,(KJV-1611) Jos 15:42 Te gen tou Libna, Etè, Akan,(Creole-HT) ======= Joshua 15:43 ============ Jos 15:43 And Jiphtah, and Ashnah, and Nezib,(KJV-1611) Jos 15:43 Jifta, Akna, Nezib,(Creole-HT) ======= Joshua 15:44 ============ Jos 15:44 And Keilah, and Achzib, and Mareshah; nine cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:44 Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo(Creole-HT) ======= Joshua 15:45 ============ Jos 15:45 Ekron, with her towns and her villages:(KJV-1611) Jos 15:45 Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.(Creole-HT) ======= Joshua 15:46 ============ Jos 15:46 From Ekron even unto the sea, all that lay near Ashdod, with their villages:(KJV-1611) Jos 15:46 Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,(Creole-HT) ======= Joshua 15:47 ============ Jos 15:47 Ashdod with her towns and her villages, Gaza with her towns and her villages, unto the river of Egypt, and the great sea, and the border thereof:(KJV-1611) Jos 15:47 Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.(Creole-HT) ======= Joshua 15:48 ============ Jos 15:48 And in the mountains, Shamir, and Jattir, and Socoh,(KJV-1611) Jos 15:48 Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,(Creole-HT) ======= Joshua 15:49 ============ Jos 15:49 And Dannah, and Kirjathsannah, which is Debir,(KJV-1611) Jos 15:49 Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi),(Creole-HT) ======= Joshua 15:50 ============ Jos 15:50 And Anab, and Eshtemoh, and Anim,(KJV-1611) Jos 15:50 Anad, Estemoa, Anim,(Creole-HT) ======= Joshua 15:51 ============ Jos 15:51 And Goshen, and Holon, and Giloh; eleven cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:51 Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:52 ============ Jos 15:52 Arab, and Dumah, and Eshean,(KJV-1611) Jos 15:52 Te gen tou Arab, Douma, Echean,(Creole-HT) ======= Joshua 15:53 ============ Jos 15:53 And Janum, and Bethtappuah, and Aphekah,(KJV-1611) Jos 15:53 Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka,(Creole-HT) ======= Joshua 15:54 ============ Jos 15:54 And Humtah, and Kirjatharba, which is Hebron, and Zior; nine cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:54 Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:55 ============ Jos 15:55 Maon, Carmel, and Ziph, and Juttah,(KJV-1611) Jos 15:55 Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,(Creole-HT) ======= Joshua 15:56 ============ Jos 15:56 And Jezreel, and Jokdeam, and Zanoah,(KJV-1611) Jos 15:56 Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,(Creole-HT) ======= Joshua 15:57 ============ Jos 15:57 Cain, Gibeah, and Timnah; ten cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:57 Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:58 ============ Jos 15:58 Halhul, Bethzur, and Gedor,(KJV-1611) Jos 15:58 Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò,(Creole-HT) ======= Joshua 15:59 ============ Jos 15:59 And Maarath, and Bethanoth, and Eltekon; six cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:59 Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:60 ============ Jos 15:60 Kirjathbaal, which is Kirjathjearim, and Rabbah; two cities with their villages:(KJV-1611) Jos 15:60 Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:61 ============ Jos 15:61 In the wilderness, Betharabah, Middin, and Secacah,(KJV-1611) Jos 15:61 Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka,(Creole-HT) ======= Joshua 15:62 ============ Jos 15:62 And Nibshan, and the city of Salt, and Engedi; six cities with their villages.(KJV-1611) Jos 15:62 Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 15:63 ============ Jos 15:63 As for the Jebusites the inhabitants of Jerusalem, the children of Judah could not drive them out; but the Jebusites dwell with the children of Judah at Jerusalem unto this day.(KJV-1611) Jos 15:63 Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Joshua 16:1 ============ Jos 16:1 And the lot of the children of Joseph fell from Jordan by Jericho, unto the water of Jericho on the east, to the wilderness that goeth up from Jericho throughout mount Bethel,(KJV-1611) Jos 16:1 Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.(Creole-HT) ======= Joshua 16:2 ============ Jos 16:2 And goeth out from Bethel to Luz, and passeth along unto the borders of Archi to Ataroth,(KJV-1611) Jos 16:2 Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.(Creole-HT) ======= Joshua 16:3 ============ Jos 16:3 And goeth down westward to the coast of Japhleti, unto the coast of Bethhoron the nether, and to Gezer; and the goings out thereof are at the sea.(KJV-1611) Jos 16:3 Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè.(Creole-HT) ======= Joshua 16:4 ============ Jos 16:4 So the children of Joseph, Manasseh and Ephraim, took their inheritance.(KJV-1611) Jos 16:4 Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.(Creole-HT) ======= Joshua 16:5 ============ Jos 16:5 And the border of the children of Ephraim according to their families was thus: even the border of their inheritance on the east side was Atarothaddar, unto Bethhoron the upper;(KJV-1611) Jos 16:5 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon.(Creole-HT) ======= Joshua 16:6 ============ Jos 16:6 And the border went out toward the sea to Michmethah on the north side; and the border went about eastward unto Taanathshiloh, and passed by it on the east to Janohah;(KJV-1611) Jos 16:6 Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa.(Creole-HT) ======= Joshua 16:7 ============ Jos 16:7 And it went down from Janohah to Ataroth, and to Naarath, and came to Jericho, and went out at Jordan.(KJV-1611) Jos 16:7 Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l' al bout sou larivyè Jouden.(Creole-HT) ======= Joshua 16:8 ============ Jos 16:8 The border went out from Tappuah westward unto the river Kanah; and the goings out thereof were at the sea. This is the inheritance of the tribe of the children of Ephraim by their families.(KJV-1611) Jos 16:8 Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l' al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l', yo bay chak fanmi yon pòsyon,(Creole-HT) ======= Joshua 16:9 ============ Jos 16:9 And the separate cities for the children of Ephraim were among the inheritance of the children of Manasseh, all the cities with their villages.(KJV-1611) Jos 16:9 ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Joshua 16:10 ============ Jos 16:10 And they drave not out the Canaanites that dwelt in Gezer: but the Canaanites dwell among the Ephraimites unto this day, and serve under tribute.(KJV-1611) Jos 16:10 Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:1 ============ Jos 17:1 There was also a lot for the tribe of Manasseh; for he was the firstborn of Joseph; to wit, for Machir the firstborn of Manasseh, the father of Gilead: because he was a man of war, therefore he had Gilead and Bashan.(KJV-1611) Jos 17:1 Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.(Creole-HT) ======= Joshua 17:2 ============ Jos 17:2 There was also a lot for the rest of the children of Manasseh by their families; for the children of Abiezer, and for the children of Helek, and for the children of Asriel, and for the children of Shechem, and for the children of Hepher, and for the children of Shemida: these were the male children of Manasseh the son of Joseph by their families.(KJV-1611) Jos 17:2 Apre sa, yo bay fanmi lòt pitit Manase yo yon pòsyon nan tè a, dapre kantite moun yo te genyen: yon pòsyon pou pitit Abyezè yo, yon pòsyon pou pitit Elèk yo, yon pòsyon pou pitit Asriyèl yo, yon pòsyon pou pitit Sichèm yo, yon pòsyon pou pitit Efè yo, yon lòt pòsyon pou pitit Chemida yo. Se moun sa yo ki te branch fanmi pitit gason Manase, pitit Jozèf la.(Creole-HT) ======= Joshua 17:3 ============ Jos 17:3 But Zelophehad, the son of Hepher, the son of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh, had no sons, but daughters: and these are the names of his daughters, Mahlah, and Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah.(KJV-1611) Jos 17:3 Nan branch fanmi Manase a, te gen yon nonm yo te rele Zelochad. Se te pitit gason Efè. Efè sa a te pitit Galarad, Galarad te pitit Maki, Maki te pitit Manase. Zelochad pa t' gen pitit gason menm. Se fi ase li te fè. Men ki jan yo te rele: Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza.(Creole-HT) ======= Joshua 17:4 ============ Jos 17:4 And they came near before Eleazar the priest, and before Joshua the son of Nun, and before the princes, saying, The LORD commanded Moses to give us an inheritance among our brethren. Therefore according to the commandment of the LORD he gave them an inheritance among the brethren of their father.(KJV-1611) Jos 17:4 Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:5 ============ Jos 17:5 And there fell ten portions to Manasseh, beside the land of Gilead and Bashan, which were on the other side Jordan;(KJV-1611) Jos 17:5 Konsa yo te rive bay moun Manase yo dis pòsyon tè, san konte peyi Galarad ak peyi Bazan ki lòt bò larivyè Jouden an,(Creole-HT) ======= Joshua 17:6 ============ Jos 17:6 Because the daughters of Manasseh had an inheritance among his sons: and the rest of Manasseh's sons had the land of Gilead.(KJV-1611) Jos 17:6 paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:7 ============ Jos 17:7 And the coast of Manasseh was from Asher to Michmethah, that lieth before Shechem; and the border went along on the right hand unto the inhabitants of Entappuah.(KJV-1611) Jos 17:7 Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:8 ============ Jos 17:8 Now Manasseh had the land of Tappuah: but Tappuah on the border of Manasseh belonged to the children of Ephraim;(KJV-1611) Jos 17:8 Tout peyi Tapwak la te pou moun Manase yo. Men, lavil Tapwak ki sou fwontyè a te pou moun Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:9 ============ Jos 17:9 And the coast descended unto the river Kanah, southward of the river: these cities of Ephraim are among the cities of Manasseh: the coast of Manasseh also was on the north side of the river, and the outgoings of it were at the sea:(KJV-1611) Jos 17:9 Limit la desann nan ravin Kana a, li pase sou bò nò ravin lan epi l' al bout nan lanmè. Tout lavil ki te sou bò sid ravin lan, atout yo te nan mitan tè moun Manase yo, se pou moun Efrayim yo yo te ye.(Creole-HT) ======= Joshua 17:10 ============ Jos 17:10 Southward it was Ephraim's, and northward it was Manasseh's, and the sea is his border; and they met together in Asher on the north, and in Issachar on the east.(KJV-1611) Jos 17:10 Moun Efrayim yo te anba sou bò sid, moun Manase yo te anwo sou bò nò, avèk lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pòsyon tè yo a te rive sou lizyè tè moun Asè yo sou bò nò ak lizyè tè moun Isaka yo sou bò lès.(Creole-HT) ======= Joshua 17:11 ============ Jos 17:11 And Manasseh had in Issachar and in Asher Bethshean and her towns, and Ibleam and her towns, and the inhabitants of Dor and her towns, and the inhabitants of Endor and her towns, and the inhabitants of Taanach and her towns, and the inhabitants of Megiddo and her towns, even three countries.(KJV-1611) Jos 17:11 Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:12 ============ Jos 17:12 Yet the children of Manasseh could not drive out the inhabitants of those cities; but the Canaanites would dwell in that land.(KJV-1611) Jos 17:12 Men, moun fanmi Manase yo pa t' kapab mete moun ki t'ap viv nan lavil sa yo deyò. Se konsa moun Kanaran yo te rive rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Joshua 17:13 ============ Jos 17:13 Yet it came to pass, when the children of Israel were waxen strong, that they put the Canaanites to tribute, but did not utterly drive them out.(KJV-1611) Jos 17:13 Men, lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 17:14 ============ Jos 17:14 And the children of Joseph spake unto Joshua, saying, Why hast thou given me but one lot and one portion to inherit, seeing I am a great people, forasmuch as the LORD hath blessed me hitherto?(KJV-1611) Jos 17:14 Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.(Creole-HT) ======= Joshua 17:15 ============ Jos 17:15 And Joshua answered them, If thou be a great people, then get thee up to the wood country, and cut down for thyself there in the land of the Perizzites and of the giants, if mount Ephraim be too narrow for thee.(KJV-1611) Jos 17:15 Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.(Creole-HT) ======= Joshua 17:16 ============ Jos 17:16 And the children of Joseph said, The hill is not enough for us: and all the Canaanites that dwell in the land of the valley have chariots of iron, both they who are of Bethshean and her towns, and they who are of the valley of Jezreel.(KJV-1611) Jos 17:16 Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.(Creole-HT) ======= Joshua 17:17 ============ Jos 17:17 And Joshua spake unto the house of Joseph, even to Ephraim and to Manasseh, saying, Thou art a great people, and hast great power: thou shalt not have one lot only:(KJV-1611) Jos 17:17 Jozye di moun Jozèf yo, ki vle di moun Efrayim yo ak moun Manase yo: -Nou anpil vre. Nou gen anpil fòs. Nou pa ka rete ak yon sèl pòsyon tè.(Creole-HT) ======= Joshua 17:18 ============ Jos 17:18 But the mountain shall be thine; for it is a wood, and thou shalt cut it down: and the outgoings of it shall be thine: for thou shalt drive out the Canaanites, though they have iron chariots, and though they be strong.(KJV-1611) Jos 17:18 Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.(Creole-HT) ======= Joshua 18:1 ============ Jos 18:1 And the whole congregation of the children of Israel assembled together at Shiloh, and set up the tabernacle of the congregation there. And the land was subdued before them.(KJV-1611) Jos 18:1 Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:2 ============ Jos 18:2 And there remained among the children of Israel seven tribes, which had not yet received their inheritance.(KJV-1611) Jos 18:2 Men, te gen sèt branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo nan tè a.(Creole-HT) ======= Joshua 18:3 ============ Jos 18:3 And Joshua said unto the children of Israel, How long are ye slack to go to possess the land, which the LORD God of your fathers hath given you?(KJV-1611) Jos 18:3 Lè sa a, Jozye di yo: -Kisa n'ap tann pou n' al pran peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou an?(Creole-HT) ======= Joshua 18:4 ============ Jos 18:4 Give out from among you three men for each tribe: and I will send them, and they shall rise, and go through the land, and describe it according to the inheritance of them; and they shall come again to me.(KJV-1611) Jos 18:4 Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pòsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Joshua 18:5 ============ Jos 18:5 And they shall divide it into seven parts: Judah shall abide in their coast on the south, and the house of Joseph shall abide in their coasts on the north.(KJV-1611) Jos 18:5 Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.(Creole-HT) ======= Joshua 18:6 ============ Jos 18:6 Ye shall therefore describe the land into seven parts, and bring the description hither to me, that I may cast lots for you here before the LORD our God.(KJV-1611) Jos 18:6 N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 18:7 ============ Jos 18:7 But the Levites have no part among you; for the priesthood of the LORD is their inheritance: and Gad, and Reuben, and half the tribe of Manasseh, have received their inheritance beyond Jordan on the east, which Moses the servant of the LORD gave them.(KJV-1611) Jos 18:7 Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 18:8 ============ Jos 18:8 And the men arose, and went away: and Joshua charged them that went to describe the land, saying, Go and walk through the land, and describe it, and come again to me, that I may here cast lots for you before the LORD in Shiloh.(KJV-1611) Jos 18:8 Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osò pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 18:9 ============ Jos 18:9 And the men went and passed through the land, and described it by cities into seven parts in a book, and came again to Joshua to the host at Shiloh.(KJV-1611) Jos 18:9 Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l' bay Jozye nan kan Silo a.(Creole-HT) ======= Joshua 18:10 ============ Jos 18:10 And Joshua cast lots for them in Shiloh before the LORD: and there Joshua divided the land unto the children of Israel according to their divisions.(KJV-1611) Jos 18:10 Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:11 ============ Jos 18:11 And the lot of the tribe of the children of Benjamin came up according to their families: and the coast of their lot came forth between the children of Judah and the children of Joseph.(KJV-1611) Jos 18:11 Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Joshua 18:12 ============ Jos 18:12 And their border on the north side was from Jordan; and the border went up to the side of Jericho on the north side, and went up through the mountains westward; and the goings out thereof were at the wilderness of Bethaven.(KJV-1611) Jos 18:12 Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt avenn lan.(Creole-HT) ======= Joshua 18:13 ============ Jos 18:13 And the border went over from thence toward Luz, to the side of Luz, which is Bethel, southward; and the border descended to Atarothadar, near the hill that lieth on the south side of the nether Bethhoron.(KJV-1611) Jos 18:13 Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an.(Creole-HT) ======= Joshua 18:14 ============ Jos 18:14 And the border was drawn thence, and compassed the corner of the sea southward, from the hill that lieth before Bethhoron southward; and the goings out thereof were at Kirjathbaal, which is Kirjathjearim, a city of the children of Judah: this was the west quarter.(KJV-1611) Jos 18:14 Lizyè a fè yon koub, li vire kite direksyon lwès, li pran direksyon sid, depi sou mòn ki anfas Bètowon an sou bò sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jòdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pòsyon pa moun Benjamen yo sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Joshua 18:15 ============ Jos 18:15 And the south quarter was from the end of Kirjathjearim, and the border went out on the west, and went out to the well of waters of Nephtoah:(KJV-1611) Jos 18:15 Men limit yo sou bò sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bò Gachen, li pran direksyon lwès, li parèt bò sous dlo Neftoa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:16 ============ Jos 18:16 And the border came down to the end of the mountain that lieth before the valley of the son of Hinnom, and which is in the valley of the giants on the north, and descended to the valley of Hinnom, to the side of Jebusi on the south, and descended to Enrogel,(KJV-1611) Jos 18:16 Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.(Creole-HT) ======= Joshua 18:17 ============ Jos 18:17 And was drawn from the north, and went forth to Enshemesh, and went forth toward Geliloth, which is over against the going up of Adummim, and descended to the stone of Bohan the son of Reuben,(KJV-1611) Jos 18:17 Apre sa, li fè yon koub li vire sou nan nò, li pase Anchemèch. Apre sa, li rive Gelilòt anfas pas Adoumim. Li desann bò Wòch Boan. Boan sa a te pitit Woubenn.(Creole-HT) ======= Joshua 18:18 ============ Jos 18:18 And passed along toward the side over against Arabah northward, and went down unto Arabah:(KJV-1611) Jos 18:18 Apre sa, li pase sou flan nò mòn Neta araba, li desann nan fon Jouden an.(Creole-HT) ======= Joshua 18:19 ============ Jos 18:19 And the border passed along to the side of Bethhoglah northward: and the outgoings of the border were at the north bay of the salt sea at the south end of Jordan: this was the south coast.(KJV-1611) Jos 18:19 Li rive sou flan nò mòn Bèt-Ogla. L' al bout nan pwent nò lanmè Mouri a, nan bout sid larivyè Jouden an. Se sa ki te limit sid yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:20 ============ Jos 18:20 And Jordan was the border of it on the east side. This was the inheritance of the children of Benjamin, by the coasts thereof round about, according to their families.(KJV-1611) Jos 18:20 Sou bò solèy leve, larivyè Jouden an te sèvi yo baliz. Men limit pòsyon tè yo te bay moun Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:21 ============ Jos 18:21 Now the cities of the tribe of the children of Benjamin according to their families were Jericho, and Bethhoglah, and the valley of Keziz,(KJV-1611) Jos 18:21 Men non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bèt-Ogla, Emèkkesis,(Creole-HT) ======= Joshua 18:22 ============ Jos 18:22 And Betharabah, and Zemaraim, and Bethel,(KJV-1611) Jos 18:22 Bèt arara, Semarayim, Betèl,(Creole-HT) ======= Joshua 18:23 ============ Jos 18:23 And Avim, and Pharah, and Ophrah,(KJV-1611) Jos 18:23 Avim, Para, Ofra,(Creole-HT) ======= Joshua 18:24 ============ Jos 18:24 And Chepharhaammonai, and Ophni, and Gaba; twelve cities with their villages:(KJV-1611) Jos 18:24 Kefa amoni, Ofni, Geba. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 18:25 ============ Jos 18:25 Gibeon, and Ramah, and Beeroth,(KJV-1611) Jos 18:25 Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt,(Creole-HT) ======= Joshua 18:26 ============ Jos 18:26 And Mizpeh, and Chephirah, and Mozah,(KJV-1611) Jos 18:26 Mizpe, Kefira, Mosa,(Creole-HT) ======= Joshua 18:27 ============ Jos 18:27 And Rekem, and Irpeel, and Taralah,(KJV-1611) Jos 18:27 Rekèm, Jipeyèl, Tareala,(Creole-HT) ======= Joshua 18:28 ============ Jos 18:28 And Zelah, Eleph, and Jebusi, which is Jerusalem, Gibeath, and Kirjath; fourteen cities with their villages. This is the inheritance of the children of Benjamin according to their families.(KJV-1611) Jos 18:28 Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:1 ============ Jos 19:1 And the second lot came forth to Simeon, even for the tribe of the children of Simeon according to their families: and their inheritance was within the inheritance of the children of Judah.(KJV-1611) Jos 19:1 Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:2 ============ Jos 19:2 And they had in their inheritance Beersheba, and Sheba, and Moladah,(KJV-1611) Jos 19:2 Men lavil yo te ba yo pou yo separe pou yo: Bècheba, Cheba, Molada(Creole-HT) ======= Joshua 19:3 ============ Jos 19:3 And Hazarshual, and Balah, and Azem,(KJV-1611) Jos 19:3 Asa-Chwal, Bala, Atsèm,(Creole-HT) ======= Joshua 19:4 ============ Jos 19:4 And Eltolad, and Bethul, and Hormah,(KJV-1611) Jos 19:4 Eltolad, Betoul, Oma,(Creole-HT) ======= Joshua 19:5 ============ Jos 19:5 And Ziklag, and Bethmarcaboth, and Hazarsusah,(KJV-1611) Jos 19:5 Ziklag, Bèt Makabòt Asa-Sousa,(Creole-HT) ======= Joshua 19:6 ============ Jos 19:6 And Bethlebaoth, and Sharuhen; thirteen cities and their villages:(KJV-1611) Jos 19:6 Bèt Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:7 ============ Jos 19:7 Ain, Remmon, and Ether, and Ashan; four cities and their villages:(KJV-1611) Jos 19:7 Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:8 ============ Jos 19:8 And all the villages that were round about these cities to Baalathbeer, Ramath of the south. This is the inheritance of the tribe of the children of Simeon according to their families.(KJV-1611) Jos 19:8 Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinaj lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:9 ============ Jos 19:9 Out of the portion of the children of Judah was the inheritance of the children of Simeon: for the part of the children of Judah was too much for them: therefore the children of Simeon had their inheritance within the inheritance of them.(KJV-1611) Jos 19:9 Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:10 ============ Jos 19:10 And the third lot came up for the children of Zebulun according to their families: and the border of their inheritance was unto Sarid:(KJV-1611) Jos 19:10 Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.(Creole-HT) ======= Joshua 19:11 ============ Jos 19:11 And their border went up toward the sea, and Maralah, and reached to Dabbasheth, and reached to the river that is before Jokneam;(KJV-1611) Jos 19:11 Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam,(Creole-HT) ======= Joshua 19:12 ============ Jos 19:12 And turned from Sarid eastward toward the sunrising unto the border of Chislothtabor, and then goeth out to Daberath, and goeth up to Japhia,(KJV-1611) Jos 19:12 lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya.(Creole-HT) ======= Joshua 19:13 ============ Jos 19:13 And from thence passeth on along on the east to Gittahhepher, to Ittahkazin, and goeth out to Remmonmethoar to Neah;(KJV-1611) Jos 19:13 Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.(Creole-HT) ======= Joshua 19:14 ============ Jos 19:14 And the border compasseth it on the north side to Hannathon: and the outgoings thereof are in the valley of Jiphthahel:(KJV-1611) Jos 19:14 Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l' al bout nan fon Jiftayèl.(Creole-HT) ======= Joshua 19:15 ============ Jos 19:15 And Kattath, and Nahallal, and Shimron, and Idalah, and Bethlehem: twelve cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:15 Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:16 ============ Jos 19:16 This is the inheritance of the children of Zebulun according to their families, these cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:16 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:17 ============ Jos 19:17 And the fourth lot came out to Issachar, for the children of Issachar according to their families.(KJV-1611) Jos 19:17 Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:18 ============ Jos 19:18 And their border was toward Jezreel, and Chesulloth, and Shunem,(KJV-1611) Jos 19:18 Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm,(Creole-HT) ======= Joshua 19:19 ============ Jos 19:19 And Haphraim, and Shihon, and Anaharath,(KJV-1611) Jos 19:19 Afarayim, Chiyon, Anakarat,(Creole-HT) ======= Joshua 19:20 ============ Jos 19:20 And Rabbith, and Kishion, and Abez,(KJV-1611) Jos 19:20 Rabit, Kichyon, Abèz,(Creole-HT) ======= Joshua 19:21 ============ Jos 19:21 And Remeth, and Engannim, and Enhaddah, and Bethpazzez;(KJV-1611) Jos 19:21 Remèt ak An-Gannim, An ada ak Bèt-Pasèz.(Creole-HT) ======= Joshua 19:22 ============ Jos 19:22 And the coast reacheth to Tabor, and Shahazimah, and Bethshemesh; and the outgoings of their border were at Jordan: sixteen cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:22 Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:23 ============ Jos 19:23 This is the inheritance of the tribe of the children of Issachar according to their families, the cities and their villages.(KJV-1611) Jos 19:23 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:24 ============ Jos 19:24 And the fifth lot came out for the tribe of the children of Asher according to their families.(KJV-1611) Jos 19:24 Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:25 ============ Jos 19:25 And their border was Helkath, and Hali, and Beten, and Achshaph,(KJV-1611) Jos 19:25 Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf,(Creole-HT) ======= Joshua 19:26 ============ Jos 19:26 And Alammelech, and Amad, and Misheal; and reacheth to Carmel westward, and to Shihorlibnath;(KJV-1611) Jos 19:26 Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat.(Creole-HT) ======= Joshua 19:27 ============ Jos 19:27 And turneth toward the sunrising to Bethdagon, and reacheth to Zebulun, and to the valley of Jiphthahel toward the north side of Bethemek, and Neiel, and goeth out to Cabul on the left hand,(KJV-1611) Jos 19:27 Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 19:28 ============ Jos 19:28 And Hebron, and Rehob, and Hammon, and Kanah, even unto great Zidon;(KJV-1611) Jos 19:28 Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.(Creole-HT) ======= Joshua 19:29 ============ Jos 19:29 And then the coast turneth to Ramah, and to the strong city Tyre; and the coast turneth to Hosah; and the outgoings thereof are at the sea from the coast to Achzib:(KJV-1611) Jos 19:29 Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,(Creole-HT) ======= Joshua 19:30 ============ Jos 19:30 Ummah also, and Aphek, and Rehob: twenty and two cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:30 Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:31 ============ Jos 19:31 This is the inheritance of the tribe of the children of Asher according to their families, these cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:31 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:32 ============ Jos 19:32 The sixth lot came out to the children of Naphtali, even for the children of Naphtali according to their families.(KJV-1611) Jos 19:32 Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:33 ============ Jos 19:33 And their coast was from Heleph, from Allon to Zaanannim, and Adami, Nekeb, and Jabneel, unto Lakum; and the outgoings thereof were at Jordan:(KJV-1611) Jos 19:33 Limit la soti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l' al bout sou larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Joshua 19:34 ============ Jos 19:34 And then the coast turneth westward to Aznothtabor, and goeth out from thence to Hukkok, and reacheth to Zebulun on the south side, and reacheth to Asher on the west side, and to Judah upon Jordan toward the sunrising.(KJV-1611) Jos 19:34 Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l' soti la, l' al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Joshua 19:35 ============ Jos 19:35 And the fenced cities are Ziddim, Zer, and Hammath, Rakkath, and Chinnereth,(KJV-1611) Jos 19:35 Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,(Creole-HT) ======= Joshua 19:36 ============ Jos 19:36 And Adamah, and Ramah, and Hazor,(KJV-1611) Jos 19:36 Adama, Rama, Asò,(Creole-HT) ======= Joshua 19:37 ============ Jos 19:37 And Kedesh, and Edrei, and Enhazor,(KJV-1611) Jos 19:37 Kadès, Edreyi, An asò,(Creole-HT) ======= Joshua 19:38 ============ Jos 19:38 And Iron, and Migdalel, Horem, and Bethanath, and Bethshemesh; nineteen cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:38 Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:39 ============ Jos 19:39 This is the inheritance of the tribe of the children of Naphtali according to their families, the cities and their villages.(KJV-1611) Jos 19:39 Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:40 ============ Jos 19:40 And the seventh lot came out for the tribe of the children of Dan according to their families.(KJV-1611) Jos 19:40 Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:41 ============ Jos 19:41 And the coast of their inheritance was Zorah, and Eshtaol, and Irshemesh,(KJV-1611) Jos 19:41 Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch,(Creole-HT) ======= Joshua 19:42 ============ Jos 19:42 And Shaalabbin, and Ajalon, and Jethlah,(KJV-1611) Jos 19:42 Chalabin, Ajalon, Jitla,(Creole-HT) ======= Joshua 19:43 ============ Jos 19:43 And Elon, and Thimnathah, and Ekron,(KJV-1611) Jos 19:43 Elon, Timnata, Ekwon,(Creole-HT) ======= Joshua 19:44 ============ Jos 19:44 And Eltekeh, and Gibbethon, and Baalath,(KJV-1611) Jos 19:44 Eltekè, Gibeton, Baalat,(Creole-HT) ======= Joshua 19:45 ============ Jos 19:45 And Jehud, and Beneberak, and Gathrimmon,(KJV-1611) Jos 19:45 Jewoud, Bene-Berak Gat-Rimon,(Creole-HT) ======= Joshua 19:46 ============ Jos 19:46 And Mejarkon, and Rakkon, with the border before Japho.(KJV-1611) Jos 19:46 Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.(Creole-HT) ======= Joshua 19:47 ============ Jos 19:47 And the coast of the children of Dan went out too little for them: therefore the children of Dan went up to fight against Leshem, and took it, and smote it with the edge of the sword, and possessed it, and dwelt therein, and called Leshem, Dan, after the name of Dan their father.(KJV-1611) Jos 19:47 Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.(Creole-HT) ======= Joshua 19:48 ============ Jos 19:48 This is the inheritance of the tribe of the children of Dan according to their families, these cities with their villages.(KJV-1611) Jos 19:48 Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 19:49 ============ Jos 19:49 When they had made an end of dividing the land for inheritance by their coasts, the children of Israel gave an inheritance to Joshua the son of Nun among them:(KJV-1611) Jos 19:49 Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'.(Creole-HT) ======= Joshua 19:50 ============ Jos 19:50 According to the word of the LORD they gave him the city which he asked, even Timnathserah in mount Ephraim: and he built the city, and dwelt therein.(KJV-1611) Jos 19:50 Jan Seyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Joshua 19:51 ============ Jos 19:51 These are the inheritances, which Eleazar the priest, and Joshua the son of Nun, and the heads of the fathers of the tribes of the children of Israel, divided for an inheritance by lot in Shiloh before the LORD, at the door of the tabernacle of the congregation. So they made an end of dividing the country.(KJV-1611) Jos 19:51 Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Seyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.(Creole-HT) ======= Joshua 20:1 ============ Jos 20:1 The LORD also spake unto Joshua, saying,(KJV-1611) Jos 20:1 Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Joshua 20:2 ============ Jos 20:2 Speak to the children of Israel, saying, Appoint out for you cities of refuge, whereof I spake unto you by the hand of Moses:(KJV-1611) Jos 20:2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 20:3 ============ Jos 20:3 That the slayer that killeth any person unawares and unwittingly may flee thither: and they shall be your refuge from the avenger of blood.(KJV-1611) Jos 20:3 Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj.(Creole-HT) ======= Joshua 20:4 ============ Jos 20:4 And when he that doth flee unto one of those cities shall stand at the entering of the gate of the city, and shall declare his cause in the ears of the elders of that city, they shall take him into the city unto them, and give him a place, that he may dwell among them.(KJV-1611) Jos 20:4 Moun k'ap chache pwoteksyon nan yonn nan lavil sa yo va kouri ale bò pòtay lavil la, l'a esplike chèf fanmi lavil la sa ki te rive l'. Lèfini, y'a kite l' antre nan lavil la. Y'a ba li yon kote pou l' rete nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Joshua 20:5 ============ Jos 20:5 And if the avenger of blood pursue after him, then they shall not deliver the slayer up into his hand; because he smote his neighbour unwittingly, and hated him not beforetime.(KJV-1611) Jos 20:5 Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la deyè l', chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l' te touye moun menm ras ak li a. Li pa t' gen anyen avè l'.(Creole-HT) ======= Joshua 20:6 ============ Jos 20:6 And he shall dwell in that city, until he stand before the congregation for judgment, and until the death of the high priest that shall be in those days: then shall the slayer return, and come unto his own city, and unto his own house, unto the city from whence he fled.(KJV-1611) Jos 20:6 L'a gen pou l' rete nan lavil la jouk la parèt devan tout pèp la pou yo jije l', jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gen dwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a.(Creole-HT) ======= Joshua 20:7 ============ Jos 20:7 And they appointed Kedesh in Galilee in mount Naphtali, and Shechem in mount Ephraim, and Kirjatharba, which is Hebron, in the mountain of Judah.(KJV-1611) Jos 20:7 Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Joshua 20:8 ============ Jos 20:8 And on the other side Jordan by Jericho eastward, they assigned Bezer in the wilderness upon the plain out of the tribe of Reuben, and Ramoth in Gilead out of the tribe of Gad, and Golan in Bashan out of the tribe of Manasseh.(KJV-1611) Jos 20:8 Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo.(Creole-HT) ======= Joshua 20:9 ============ Jos 20:9 These were the cities appointed for all the children of Israel, and for the stranger that sojourneth among them, that whosoever killeth any person at unawares might flee thither, and not die by the hand of the avenger of blood, until he stood before the congregation.(KJV-1611) Jos 20:9 Men non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gen dwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l'.(Creole-HT) ======= Joshua 21:1 ============ Jos 21:1 Then came near the heads of the fathers of the Levites unto Eleazar the priest, and unto Joshua the son of Nun, and unto the heads of the fathers of the tribes of the children of Israel;(KJV-1611) Jos 21:1 Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 21:2 ============ Jos 21:2 And they spake unto them at Shiloh in the land of Canaan, saying, The LORD commanded by the hand of Moses to give us cities to dwell in, with the suburbs thereof for our cattle.(KJV-1611) Jos 21:2 Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje.(Creole-HT) ======= Joshua 21:3 ============ Jos 21:3 And the children of Israel gave unto the Levites out of their inheritance, at the commandment of the LORD, these cities and their suburbs.(KJV-1611) Jos 21:3 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la.(Creole-HT) ======= Joshua 21:4 ============ Jos 21:4 And the lot came out for the families of the Kohathites: and the children of Aaron the priest, which were of the Levites, had by lot out of the tribe of Judah, and out of the tribe of Simeon, and out of the tribe of Benjamin, thirteen cities.(KJV-1611) Jos 21:4 Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye.(Creole-HT) ======= Joshua 21:5 ============ Jos 21:5 And the rest of the children of Kohath had by lot out of the families of the tribe of Ephraim, and out of the tribe of Dan, and out of the half tribe of Manasseh, ten cities.(KJV-1611) Jos 21:5 Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa.(Creole-HT) ======= Joshua 21:6 ============ Jos 21:6 And the children of Gershon had by lot out of the families of the tribe of Issachar, and out of the tribe of Asher, and out of the tribe of Naphtali, and out of the half tribe of Manasseh in Bashan, thirteen cities.(KJV-1611) Jos 21:6 Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa.(Creole-HT) ======= Joshua 21:7 ============ Jos 21:7 The children of Merari by their families had out of the tribe of Reuben, and out of the tribe of Gad, and out of the tribe of Zebulun, twelve cities.(KJV-1611) Jos 21:7 Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa.(Creole-HT) ======= Joshua 21:8 ============ Jos 21:8 And the children of Israel gave by lot unto the Levites these cities with their suburbs, as the LORD commanded by the hand of Moses.(KJV-1611) Jos 21:8 Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 21:9 ============ Jos 21:9 And they gave out of the tribe of the children of Judah, and out of the tribe of the children of Simeon, these cities which are here mentioned by name.(KJV-1611) Jos 21:9 Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:10 ============ Jos 21:10 Which the children of Aaron, being of the families of the Kohathites, who were of the children of Levi, had: for theirs was the first lot.(KJV-1611) Jos 21:10 Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:11 ============ Jos 21:11 And they gave them the city of Arba the father of Anak, which city is Hebron, in the hill country of Judah, with the suburbs thereof round about it.(KJV-1611) Jos 21:11 Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:12 ============ Jos 21:12 But the fields of the city, and the villages thereof, gave they to Caleb the son of Jephunneh for his possession.(KJV-1611) Jos 21:12 Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'.(Creole-HT) ======= Joshua 21:13 ============ Jos 21:13 Thus they gave to the children of Aaron the priest Hebron with her suburbs, to be a city of refuge for the slayer; and Libnah with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:13 Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo,(Creole-HT) ======= Joshua 21:14 ============ Jos 21:14 And Jattir with her suburbs, and Eshtemoa with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:14 lavil Jati, lavil Echtemoa,(Creole-HT) ======= Joshua 21:15 ============ Jos 21:15 And Holon with her suburbs, and Debir with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:15 lavil Olòn, lavil Debi,(Creole-HT) ======= Joshua 21:16 ============ Jos 21:16 And Ain with her suburbs, and Juttah with her suburbs, and Bethshemesh with her suburbs; nine cities out of those two tribes.(KJV-1611) Jos 21:16 lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:17 ============ Jos 21:17 And out of the tribe of Benjamin, Gibeon with her suburbs, Geba with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:17 Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= Joshua 21:18 ============ Jos 21:18 Anathoth with her suburbs, and Almon with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:18 lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil.(Creole-HT) ======= Joshua 21:19 ============ Jos 21:19 All the cities of the children of Aaron, the priests, were thirteen cities with their suburbs.(KJV-1611) Jos 21:19 Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:20 ============ Jos 21:20 And the families of the children of Kohath, the Levites which remained of the children of Kohath, even they had the cities of their lot out of the tribe of Ephraim.(KJV-1611) Jos 21:20 Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:21 ============ Jos 21:21 For they gave them Shechem with her suburbs in mount Ephraim, to be a city of refuge for the slayer; and Gezer with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:21 Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè,(Creole-HT) ======= Joshua 21:22 ============ Jos 21:22 And Kibzaim with her suburbs, and Bethhoron with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:22 lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:23 ============ Jos 21:23 And out of the tribe of Dan, Eltekeh with her suburbs, Gibbethon with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:23 Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton,(Creole-HT) ======= Joshua 21:24 ============ Jos 21:24 Aijalon with her suburbs, Gathrimmon with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:24 lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:25 ============ Jos 21:25 And out of the half tribe of Manasseh, Tanach with her suburbs, and Gathrimmon with her suburbs; two cities.(KJV-1611) Jos 21:25 Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:26 ============ Jos 21:26 All the cities were ten with their suburbs for the families of the children of Kohath that remained.(KJV-1611) Jos 21:26 Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:27 ============ Jos 21:27 And unto the children of Gershon, of the families of the Levites, out of the other half tribe of Manasseh they gave Golan in Bashan with her suburbs, to be a city of refuge for the slayer; and Beeshterah with her suburbs; two cities.(KJV-1611) Jos 21:27 Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:28 ============ Jos 21:28 And out of the tribe of Issachar, Kishon with her suburbs, Dabareh with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:28 Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera,(Creole-HT) ======= Joshua 21:29 ============ Jos 21:29 Jarmuth with her suburbs, Engannim with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:29 lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:30 ============ Jos 21:30 And out of the tribe of Asher, Mishal with her suburbs, Abdon with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:30 Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon,(Creole-HT) ======= Joshua 21:31 ============ Jos 21:31 Helkath with her suburbs, and Rehob with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:31 lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:32 ============ Jos 21:32 And out of the tribe of Naphtali, Kedesh in Galilee with her suburbs, to be a city of refuge for the slayer; and Hammothdor with her suburbs, and Kartan with her suburbs; three cities.(KJV-1611) Jos 21:32 Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:33 ============ Jos 21:33 All the cities of the Gershonites according to their families were thirteen cities with their suburbs.(KJV-1611) Jos 21:33 Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:34 ============ Jos 21:34 And unto the families of the children of Merari, the rest of the Levites, out of the tribe of Zebulun, Jokneam with her suburbs, and Kartah with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:34 Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata,(Creole-HT) ======= Joshua 21:35 ============ Jos 21:35 Dimnah with her suburbs, Nahalal with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:35 lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:36 ============ Jos 21:36 And out of the tribe of Reuben, Bezer with her suburbs, and Jahazah with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:36 Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa,(Creole-HT) ======= Joshua 21:37 ============ Jos 21:37 Kedemoth with her suburbs, and Mephaath with her suburbs; four cities.(KJV-1611) Jos 21:37 lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:38 ============ Jos 21:38 And out of the tribe of Gad, Ramoth in Gilead with her suburbs, to be a city of refuge for the slayer; and Mahanaim with her suburbs,(KJV-1611) Jos 21:38 Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim,(Creole-HT) ======= Joshua 21:39 ============ Jos 21:39 Heshbon with her suburbs, Jazer with her suburbs; four cities in all.(KJV-1611) Jos 21:39 lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:40 ============ Jos 21:40 So all the cities for the children of Merari by their families, which were remaining of the families of the Levites, were by their lot twelve cities.(KJV-1611) Jos 21:40 Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.(Creole-HT) ======= Joshua 21:41 ============ Jos 21:41 All the cities of the Levites within the possession of the children of Israel were forty and eight cities with their suburbs.(KJV-1611) Jos 21:41 Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:42 ============ Jos 21:42 These cities were every one with their suburbs round about them: thus were all these cities.(KJV-1611) Jos 21:42 Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:43 ============ Jos 21:43 And the LORD gave unto Israel all the land which he sware to give unto their fathers; and they possessed it, and dwelt therein.(KJV-1611) Jos 21:43 Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Joshua 21:44 ============ Jos 21:44 And the LORD gave them rest round about, according to all that he sware unto their fathers: and there stood not a man of all their enemies before them; the LORD delivered all their enemies into their hand.(KJV-1611) Jos 21:44 Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo.(Creole-HT) ======= Joshua 21:45 ============ Jos 21:45 There failed not ought of any good thing which the LORD had spoken unto the house of Israel; all came to pass.(KJV-1611) Jos 21:45 Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Joshua 22:1 ============ Jos 22:1 Then Joshua called the Reubenites, and the Gadites, and the half tribe of Manasseh,(KJV-1611) Jos 22:1 Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Woubenn, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo,(Creole-HT) ======= Joshua 22:2 ============ Jos 22:2 And said unto them, Ye have kept all that Moses the servant of the LORD commanded you, and have obeyed my voice in all that I commanded you:(KJV-1611) Jos 22:2 li di yo: -Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m' chak fwa mwen te mande nou fè kichòy.(Creole-HT) ======= Joshua 22:3 ============ Jos 22:3 Ye have not left your brethren these many days unto this day, but have kept the charge of the commandment of the LORD your God.(KJV-1611) Jos 22:3 Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te mande nou fè.(Creole-HT) ======= Joshua 22:4 ============ Jos 22:4 And now the LORD your God hath given rest unto your brethren, as he promised them: therefore now return ye, and get you unto your tents, and unto the land of your possession, which Moses the servant of the LORD gave you on the other side Jordan.(KJV-1611) Jos 22:4 Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.(Creole-HT) ======= Joshua 22:5 ============ Jos 22:5 But take diligent heed to do the commandment and the law, which Moses the servant of the LORD charged you, to love the LORD your God, and to walk in all his ways, and to keep his commandments, and to cleave unto him, and to serve him with all your heart and with all your soul.(KJV-1611) Jos 22:5 Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.(Creole-HT) ======= Joshua 22:6 ============ Jos 22:6 So Joshua blessed them, and sent them away: and they went unto their tents.(KJV-1611) Jos 22:6 Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y' al lakay yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:7 ============ Jos 22:7 Now to the one half of the tribe of Manasseh Moses had given possession in Bashan: but unto the other half thereof gave Joshua among their brethren on this side Jordan westward. And when Joshua sent them away also unto their tents, then he blessed them,(KJV-1611) Jos 22:7 Moyiz te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo,(Creole-HT) ======= Joshua 22:8 ============ Jos 22:8 And he spake unto them, saying, Return with much riches unto your tents, and with very much cattle, with silver, and with gold, and with brass, and with iron, and with very much raiment: divide the spoil of your enemies with your brethren.(KJV-1611) Jos 22:8 li di yo konsa: -N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè.(Creole-HT) ======= Joshua 22:9 ============ Jos 22:9 And the children of Reuben and the children of Gad and the half tribe of Manasseh returned, and departed from the children of Israel out of Shiloh, which is in the land of Canaan, to go unto the country of Gilead, to the land of their possession, whereof they were possessed, according to the word of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) Jos 22:9 Se konsa, moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y' al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:10 ============ Jos 22:10 And when they came unto the borders of Jordan, that are in the land of Canaan, the children of Reuben and the children of Gad and the half tribe of Manasseh built there an altar by Jordan, a great altar to see to.(KJV-1611) Jos 22:10 Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.(Creole-HT) ======= Joshua 22:11 ============ Jos 22:11 And the children of Israel heard say, Behold, the children of Reuben and the children of Gad and the half tribe of Manasseh have built an altar over against the land of Canaan, in the borders of Jordan, at the passage of the children of Israel.(KJV-1611) Jos 22:11 Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo: -Men moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fwontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:12 ============ Jos 22:12 And when the children of Israel heard of it, the whole congregation of the children of Israel gathered themselves together at Shiloh, to go up to war against them.(KJV-1611) Jos 22:12 Lè pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y' al goumen ak moun Woubenn yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:13 ============ Jos 22:13 And the children of Israel sent unto the children of Reuben, and to the children of Gad, and to the half tribe of Manasseh, into the land of Gilead, Phinehas the son of Eleazar the priest,(KJV-1611) Jos 22:13 Moun pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Woubenn yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad.(Creole-HT) ======= Joshua 22:14 ============ Jos 22:14 And with him ten princes, of each chief house a prince throughout all the tribes of Israel; and each one was an head of the house of their fathers among the thousands of Israel.(KJV-1611) Jos 22:14 Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:15 ============ Jos 22:15 And they came unto the children of Reuben, and to the children of Gad, and to the half tribe of Manasseh, unto the land of Gilead, and they spake with them, saying,(KJV-1611) Jos 22:15 Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:(Creole-HT) ======= Joshua 22:16 ============ Jos 22:16 Thus saith the whole congregation of the LORD, What trespass is this that ye have committed against the God of Israel, to turn away this day from following the LORD, in that ye have builded you an altar, that ye might rebel this day against the LORD?(KJV-1611) Jos 22:16 -Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?(Creole-HT) ======= Joshua 22:17 ============ Jos 22:17 Is the iniquity of Peor too little for us, from which we are not cleansed until this day, although there was a plague in the congregation of the LORD,(KJV-1611) Jos 22:17 Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Seyè a te pini pèp li a. Jouk koulye a n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou?(Creole-HT) ======= Joshua 22:18 ============ Jos 22:18 But that ye must turn away this day from following the LORD? and it will be, seeing ye rebel to day against the LORD, that to morrow he will be wroth with the whole congregation of Israel.(KJV-1611) Jos 22:18 Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.(Creole-HT) ======= Joshua 22:19 ============ Jos 22:19 Notwithstanding, if the land of your possession be unclean, then pass ye over unto the land of the possession of the LORD, wherein the LORD's tabernacle dwelleth, and take possession among us: but rebel not against the LORD, nor rebel against us, in building you an altar beside the altar of the LORD our God.(KJV-1611) Jos 22:19 Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Seyè a, kote kay Seyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l'. Men, pa leve kont Seyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Seyè a, Bondye nou an, pou n' al bati yon lòt lotèl.(Creole-HT) ======= Joshua 22:20 ============ Jos 22:20 Did not Achan the son of Zerah commit a trespass in the accursed thing, and wrath fell on all the congregation of Israel? and that man perished not alone in his iniquity.(KJV-1611) Jos 22:20 Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Seyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Seyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:21 ============ Jos 22:21 Then the children of Reuben and the children of Gad and the half tribe of Manasseh answered, and said unto the heads of the thousands of Israel,(KJV-1611) Jos 22:21 Lè sa a, moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo:(Creole-HT) ======= Joshua 22:22 ============ Jos 22:22 The LORD God of gods, the LORD God of gods, he knoweth, and Israel he shall know; if it be in rebellion, or if in transgression against the LORD, (save us not this day,)(KJV-1611) Jos 22:22 -Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.(Creole-HT) ======= Joshua 22:23 ============ Jos 22:23 That we have built us an altar to turn from following the LORD, or if to offer thereon burnt offering or meat offering, or if to offer peace offerings thereon, let the LORD himself require it;(KJV-1611) Jos 22:23 Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Seyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Seyè a mande nou kont pou sa nou fè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:24 ============ Jos 22:24 And if we have not rather done it for fear of this thing, saying, In time to come your children might speak unto our children, saying, What have ye to do with the LORD God of Israel?(KJV-1611) Jos 22:24 Pou di vre, nou te fè l' paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:25 ============ Jos 22:25 For the LORD hath made Jordan a border between us and you, ye children of Reuben and children of Gad; ye have no part in the LORD: so shall your children make our children cease from fearing the LORD.(KJV-1611) Jos 22:25 Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:26 ============ Jos 22:26 Therefore we said, Let us now prepare to build us an altar, not for burnt offering, nor for sacrifice:(KJV-1611) Jos 22:26 Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye ankenn bèt sou li.(Creole-HT) ======= Joshua 22:27 ============ Jos 22:27 But that it may be a witness between us, and you, and our generations after us, that we might do the service of the LORD before him with our burnt offerings, and with our sacrifices, and with our peace offerings; that your children may not say to our children in time to come, Ye have no part in the LORD.(KJV-1611) Jos 22:27 Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:28 ============ Jos 22:28 Therefore said we, that it shall be, when they should so say to us or to our generations in time to come, that we may say again, Behold the pattern of the altar of the LORD, which our fathers made, not for burnt offerings, nor for sacrifices; but it is a witness between us and you.(KJV-1611) Jos 22:28 Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase!(Creole-HT) ======= Joshua 22:29 ============ Jos 22:29 God forbid that we should rebel against the LORD, and turn this day from following the LORD, to build an altar for burnt offerings, for meat offerings, or for sacrifices, beside the altar of the LORD our God that is before his tabernacle.(KJV-1611) Jos 22:29 Nou pa janm fè lide leve kont Seyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Seyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l' rete a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:30 ============ Jos 22:30 And when Phinehas the priest, and the princes of the congregation and heads of the thousands of Israel which were with him, heard the words that the children of Reuben and the children of Gad and the children of Manasseh spake, it pleased them.(KJV-1611) Jos 22:30 Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.(Creole-HT) ======= Joshua 22:31 ============ Jos 22:31 And Phinehas the son of Eleazar the priest said unto the children of Reuben, and to the children of Gad, and to the children of Manasseh, This day we perceive that the LORD is among us, because ye have not committed this trespass against the LORD: now ye have delivered the children of Israel out of the hand of the LORD.(KJV-1611) Jos 22:31 Lè sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk nou vre, paske nou pa t' chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:32 ============ Jos 22:32 And Phinehas the son of Eleazar the priest, and the princes, returned from the children of Reuben, and from the children of Gad, out of the land of Gilead, unto the land of Canaan, to the children of Israel, and brought them word again.(KJV-1611) Jos 22:32 Apre sa, Fineas, pitit Eleaza, prèt la, ak tout chèf yo kite moun Woubenn yo ak moun Gad yo nan peyi Galarad, yo tounen nan peyi Kanaran al jwenn rès pèp Izrayèl la. Yo rapòte yo repons lòt moun yo te ba yo a.(Creole-HT) ======= Joshua 22:33 ============ Jos 22:33 And the thing pleased the children of Israel; and the children of Israel blessed God, and did not intend to go up against them in battle, to destroy the land wherein the children of Reuben and Gad dwelt.(KJV-1611) Jos 22:33 Sa te fè pèp Izrayèl la plezi anpil: yo fè lwanj Bondye. Depi lè sa a, yo pa janm pale ankò sou keksyon al atake moun Woubenn yo ak moun Gad yo ni sou keksyon al detwi peyi moun sa yo.(Creole-HT) ======= Joshua 22:34 ============ Jos 22:34 And the children of Reuben and the children of Gad called the altar Ed: for it shall be a witness between us that the LORD is God.(KJV-1611) Jos 22:34 Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.(Creole-HT) ======= Joshua 23:1 ============ Jos 23:1 And it came to pass a long time after that the LORD had given rest unto Israel from all their enemies round about, that Joshua waxed old and stricken in age.(KJV-1611) Jos 23:1 Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.(Creole-HT) ======= Joshua 23:2 ============ Jos 23:2 And Joshua called for all Israel, and for their elders, and for their heads, and for their judges, and for their officers, and said unto them, I am old and stricken in age:(KJV-1611) Jos 23:2 Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: -Koulye a mwen fin granmoun!(Creole-HT) ======= Joshua 23:3 ============ Jos 23:3 And ye have seen all that the LORD your God hath done unto all these nations because of you; for the LORD your God is he that hath fought for you.(KJV-1611) Jos 23:3 Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou.(Creole-HT) ======= Joshua 23:4 ============ Jos 23:4 Behold, I have divided unto you by lot these nations that remain, to be an inheritance for your tribes, from Jordan, with all the nations that I have cut off, even unto the great sea westward.(KJV-1611) Jos 23:4 Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Joshua 23:5 ============ Jos 23:5 And the LORD your God, he shall expel them from before you, and drive them from out of your sight; and ye shall possess their land, as the LORD your God hath promised unto you.(KJV-1611) Jos 23:5 Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 23:6 ============ Jos 23:6 Be ye therefore very courageous to keep and to do all that is written in the book of the law of Moses, that ye turn not aside therefrom to the right hand or to the left;(KJV-1611) Jos 23:6 Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l'.(Creole-HT) ======= Joshua 23:7 ============ Jos 23:7 That ye come not among these nations, these that remain among you; neither make mention of the name of their gods, nor cause to swear by them, neither serve them, nor bow yourselves unto them:(KJV-1611) Jos 23:7 Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= Joshua 23:8 ============ Jos 23:8 But cleave unto the LORD your God, as ye have done unto this day.(KJV-1611) Jos 23:8 Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 23:9 ============ Jos 23:9 For the LORD hath driven out from before you great nations and strong: but as for you, no man hath been able to stand before you unto this day.(KJV-1611) Jos 23:9 Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t' kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Joshua 23:10 ============ Jos 23:10 One man of you shall chase a thousand: for the LORD your God, he it is that fighteth for you, as he hath promised you.(KJV-1611) Jos 23:10 Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la.(Creole-HT) ======= Joshua 23:11 ============ Jos 23:11 Take good heed therefore unto yourselves, that ye love the LORD your God.(KJV-1611) Jos 23:11 Atansyon wi! Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 23:12 ============ Jos 23:12 Else if ye do in any wise go back, and cleave unto the remnant of these nations, even these that remain among you, and shall make marriages with them, and go in unto them, and they to you:(KJV-1611) Jos 23:12 Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,(Creole-HT) ======= Joshua 23:13 ============ Jos 23:13 Know for a certainty that the LORD your God will no more drive out any of these nations from before you; but they shall be snares and traps unto you, and scourges in your sides, and thorns in your eyes, until ye perish from off this good land which the LORD your God hath given you.(KJV-1611) Jos 23:13 nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.(Creole-HT) ======= Joshua 23:14 ============ Jos 23:14 And, behold, this day I am going the way of all the earth: and ye know in all your hearts and in all your souls, that not one thing hath failed of all the good things which the LORD your God spake concerning you; all are come to pass unto you, and not one thing hath failed thereof.(KJV-1611) Jos 23:14 Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.(Creole-HT) ======= Joshua 23:15 ============ Jos 23:15 Therefore it shall come to pass, that as all good things are come upon you, which the LORD your God promised you; so shall the LORD bring upon you all evil things, until he have destroyed you from off this good land which the LORD your God hath given you.(KJV-1611) Jos 23:15 Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 23:16 ============ Jos 23:16 When ye have transgressed the covenant of the LORD your God, which he commanded you, and have gone and served other gods, and bowed yourselves to them; then shall the anger of the LORD be kindled against you, and ye shall perish quickly from off the good land which he hath given unto you.(KJV-1611) Jos 23:16 Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.(Creole-HT) ======= Joshua 24:1 ============ Jos 24:1 And Joshua gathered all the tribes of Israel to Shechem, and called for the elders of Israel, and for their heads, and for their judges, and for their officers; and they presented themselves before God.(KJV-1611) Jos 24:1 Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 24:2 ============ Jos 24:2 And Joshua said unto all the people, Thus saith the LORD God of Israel, Your fathers dwelt on the other side of the flood in old time, even Terah, the father of Abraham, and the father of Nachor: and they served other gods.(KJV-1611) Jos 24:2 Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.(Creole-HT) ======= Joshua 24:3 ============ Jos 24:3 And I took your father Abraham from the other side of the flood, and led him throughout all the land of Canaan, and multiplied his seed, and gave him Isaac.(KJV-1611) Jos 24:3 Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l' travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak.(Creole-HT) ======= Joshua 24:4 ============ Jos 24:4 And I gave unto Isaac Jacob and Esau: and I gave unto Esau mount Seir, to possess it; but Jacob and his children went down into Egypt.(KJV-1611) Jos 24:4 Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.(Creole-HT) ======= Joshua 24:5 ============ Jos 24:5 I sent Moses also and Aaron, and I plagued Egypt, according to that which I did among them: and afterward I brought you out.(KJV-1611) Jos 24:5 Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou soti kite peyi a.(Creole-HT) ======= Joshua 24:6 ============ Jos 24:6 And I brought your fathers out of Egypt: and ye came unto the sea; and the Egyptians pursued after your fathers with chariots and horsemen unto the Red sea.(KJV-1611) Jos 24:6 Lè mwen fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Joshua 24:7 ============ Jos 24:7 And when they cried unto the LORD, he put darkness between you and the Egyptians, and brought the sea upon them, and covered them; and your eyes have seen what I have done in Egypt: and ye dwelt in the wilderness a long season.(KJV-1611) Jos 24:7 Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.(Creole-HT) ======= Joshua 24:8 ============ Jos 24:8 And I brought you into the land of the Amorites, which dwelt on the other side Jordan; and they fought with you: and I gave them into your hand, that ye might possess their land; and I destroyed them from before you.(KJV-1611) Jos 24:8 Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase.(Creole-HT) ======= Joshua 24:9 ============ Jos 24:9 Then Balak the son of Zippor, king of Moab, arose and warred against Israel, and sent and called Balaam the son of Beor to curse you:(KJV-1611) Jos 24:9 Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l' vin ban nou madichon.(Creole-HT) ======= Joshua 24:10 ============ Jos 24:10 But I would not hearken unto Balaam; therefore he blessed you still: so I delivered you out of his hand.(KJV-1611) Jos 24:10 Men, mwen pa koute l'. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak.(Creole-HT) ======= Joshua 24:11 ============ Jos 24:11 And you went over Jordan, and came unto Jericho: and the men of Jericho fought against you, the Amorites, and the Perizzites, and the Canaanites, and the Hittites, and the Girgashites, the Hivites, and the Jebusites; and I delivered them into your hand.(KJV-1611) Jos 24:11 Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.(Creole-HT) ======= Joshua 24:12 ============ Jos 24:12 And I sent the hornet before you, which drave them out from before you, even the two kings of the Amorites; but not with thy sword, nor with thy bow.(KJV-1611) Jos 24:12 Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pa t' ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa!(Creole-HT) ======= Joshua 24:13 ============ Jos 24:13 And I have given you a land for which ye did not labour, and cities which ye built not, and ye dwell in them; of the vineyards and oliveyards which ye planted not do ye eat.(KJV-1611) Jos 24:13 Apre sa, mwen ban nou tè nou pa t' janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pa t' janm bati. Se la nou rete koulye a. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pa t' plante, oliv nan pye oliv nou pa t' plante.(Creole-HT) ======= Joshua 24:14 ============ Jos 24:14 Now therefore fear the LORD, and serve him in sincerity and in truth: and put away the gods which your fathers served on the other side of the flood, and in Egypt; and serve ye the LORD.(KJV-1611) Jos 24:14 Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 24:15 ============ Jos 24:15 And if it seem evil unto you to serve the LORD, choose you this day whom ye will serve; whether the gods which your fathers served that were on the other side of the flood, or the gods of the Amorites, in whose land ye dwell: but as for me and my house, we will serve the LORD.(KJV-1611) Jos 24:15 Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.(Creole-HT) ======= Joshua 24:16 ============ Jos 24:16 And the people answered and said, God forbid that we should forsake the LORD, to serve other gods;(KJV-1611) Jos 24:16 Pèp la reponn! -Nou p'ap janm fè lide vire do bay Seyè a pou n' al sèvi lòt bondye.(Creole-HT) ======= Joshua 24:17 ============ Jos 24:17 For the LORD our God, he it is that brought us up and our fathers out of the land of Egypt, from the house of bondage, and which did those great signs in our sight, and preserved us in all the way wherein we went, and among all the people through whom we passed:(KJV-1611) Jos 24:17 Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 24:18 ============ Jos 24:18 And the LORD drave out from before us all the people, even the Amorites which dwelt in the land: therefore will we also serve the LORD; for he is our God.(KJV-1611) Jos 24:18 Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou.(Creole-HT) ======= Joshua 24:19 ============ Jos 24:19 And Joshua said unto the people, Ye cannot serve the LORD: for he is an holy God; he is a jealous God; he will not forgive your transgressions nor your sins.(KJV-1611) Jos 24:19 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal.(Creole-HT) ======= Joshua 24:20 ============ Jos 24:20 If ye forsake the LORD, and serve strange gods, then he will turn and do you hurt, and consume you, after that he hath done you good.(KJV-1611) Jos 24:20 Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou.(Creole-HT) ======= Joshua 24:21 ============ Jos 24:21 And the people said unto Joshua, Nay; but we will serve the LORD.(KJV-1611) Jos 24:21 Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi!(Creole-HT) ======= Joshua 24:22 ============ Jos 24:22 And Joshua said unto the people, Ye are witnesses against yourselves that ye have chosen you the LORD, to serve him. And they said, We are witnesses.(KJV-1611) Jos 24:22 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Seyè a n'ap sèvi. Yo reponn: -Wi, nou tout temwen.(Creole-HT) ======= Joshua 24:23 ============ Jos 24:23 Now therefore put away, said he, the strange gods which are among you, and incline your heart unto the LORD God of Israel.(KJV-1611) Jos 24:23 Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Joshua 24:24 ============ Jos 24:24 And the people said unto Joshua, The LORD our God will we serve, and his voice will we obey.(KJV-1611) Jos 24:24 Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.(Creole-HT) ======= Joshua 24:25 ============ Jos 24:25 So Joshua made a covenant with the people that day, and set them a statute and an ordinance in Shechem.(KJV-1611) Jos 24:25 Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.(Creole-HT) ======= Joshua 24:26 ============ Jos 24:26 And Joshua wrote these words in the book of the law of God, and took a great stone, and set it up there under an oak, that was by the sanctuary of the LORD.(KJV-1611) Jos 24:26 Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Joshua 24:27 ============ Jos 24:27 And Joshua said unto all the people, Behold, this stone shall be a witness unto us; for it hath heard all the words of the LORD which he spake unto us: it shall be therefore a witness unto you, lest ye deny your God.(KJV-1611) Jos 24:27 Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Joshua 24:28 ============ Jos 24:28 So Joshua let the people depart, every man unto his inheritance.(KJV-1611) Jos 24:28 Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.(Creole-HT) ======= Joshua 24:29 ============ Jos 24:29 And it came to pass after these things, that Joshua the son of Nun, the servant of the LORD, died, being an hundred and ten years old.(KJV-1611) Jos 24:29 Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan .(Creole-HT) ======= Joshua 24:30 ============ Jos 24:30 And they buried him in the border of his inheritance in Timnathserah, which is in mount Ephraim, on the north side of the hill of Gaash.(KJV-1611) Jos 24:30 Yo antere l' sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.(Creole-HT) ======= Joshua 24:31 ============ Jos 24:31 And Israel served the LORD all the days of Joshua, and all the days of the elders that overlived Joshua, and which had known all the works of the LORD, that he had done for Israel.(KJV-1611) Jos 24:31 Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.(Creole-HT) ======= Joshua 24:32 ============ Jos 24:32 And the bones of Joseph, which the children of Israel brought up out of Egypt, buried they in Shechem, in a parcel of ground which Jacob bought of the sons of Hamor the father of Shechem for an hundred pieces of silver: and it became the inheritance of the children of Joseph.(KJV-1611) Jos 24:32 Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.(Creole-HT) ======= Joshua 24:33 ============ Jos 24:33 And Eleazar the son of Aaron died; and they buried him in a hill that pertained to Phinehas his son, which was given him in mount Ephraim.(KJV-1611) Jos 24:33 Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l' sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l' lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Judges 1:1 ============ Jdg 1:1 Now after the death of Joshua it came to pass, that the children of Israel asked the LORD, saying, Who shall go up for us against the Canaanites first, to fight against them?(KJV-1611) Jdg 1:1 Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?(Creole-HT) ======= Judges 1:2 ============ Jdg 1:2 And the LORD said, Judah shall go up: behold, I have delivered the land into his hand.(KJV-1611) Jdg 1:2 Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:3 ============ Jdg 1:3 And Judah said unto Simeon his brother, Come up with me into my lot, that we may fight against the Canaanites; and I likewise will go with thee into thy lot. So Simeon went with him.(KJV-1611) Jdg 1:3 Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: -Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak(Creole-HT) ======= Judges 1:4 ============ Jdg 1:4 And Judah went up; and the LORD delivered the Canaanites and the Perizzites into their hand: and they slew of them in Bezek ten thousand men.(KJV-1611) Jdg 1:4 moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil sòlda nan lavil Bezèk.(Creole-HT) ======= Judges 1:5 ============ Jdg 1:5 And they found Adonibezek in Bezek: and they fought against him, and they slew the Canaanites and the Perizzites.(KJV-1611) Jdg 1:5 Yo jwenn Adonibezèk l'a tou. Yo goumen avè l'. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat.(Creole-HT) ======= Judges 1:6 ============ Jdg 1:6 But Adonibezek fled; and they pursued after him, and caught him, and cut off his thumbs and his great toes.(KJV-1611) Jdg 1:6 Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l', yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l' yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:7 ============ Jdg 1:7 And Adonibezek said, Threescore and ten kings, having their thumbs and their great toes cut off, gathered their meat under my table: as I have done, so God hath requited me. And they brought him to Jerusalem, and there he died.(KJV-1611) Jdg 1:7 Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.(Creole-HT) ======= Judges 1:8 ============ Jdg 1:8 Now the children of Judah had fought against Jerusalem, and had taken it, and smitten it with the edge of the sword, and set the city on fire.(KJV-1611) Jdg 1:8 Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'.(Creole-HT) ======= Judges 1:9 ============ Jdg 1:9 And afterward the children of Judah went down to fight against the Canaanites, that dwelt in the mountain, and in the south, and in the valley.(KJV-1611) Jdg 1:9 Apre sa, y' al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la.(Creole-HT) ======= Judges 1:10 ============ Jdg 1:10 And Judah went against the Canaanites that dwelt in Hebron: (now the name of Hebron before was Kirjatharba:) and they slew Sheshai, and Ahiman, and Talmai.(KJV-1611) Jdg 1:10 Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi.(Creole-HT) ======= Judges 1:11 ============ Jdg 1:11 And from thence he went against the inhabitants of Debir: and the name of Debir before was Kirjathsepher:(KJV-1611) Jdg 1:11 Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè.(Creole-HT) ======= Judges 1:12 ============ Jdg 1:12 And Caleb said, He that smiteth Kirjathsepher, and taketh it, to him will I give Achsah my daughter to wife.(KJV-1611) Jdg 1:12 Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an.(Creole-HT) ======= Judges 1:13 ============ Jdg 1:13 And Othniel the son of Kenaz, Caleb's younger brother, took it: and he gave him Achsah his daughter to wife.(KJV-1611) Jdg 1:13 Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.(Creole-HT) ======= Judges 1:14 ============ Jdg 1:14 And it came to pass, when she came to him, that she moved him to ask of her father a field: and she lighted from off her ass; and Caleb said unto her, What wilt thou?(KJV-1611) Jdg 1:14 Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Akza al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sak genyen, pitit mwen?(Creole-HT) ======= Judges 1:15 ============ Jdg 1:15 And she said unto him, Give me a blessing: for thou hast given me a south land; give me also springs of water. And Caleb gave her the upper springs and the nether springs.(KJV-1611) Jdg 1:15 Akza reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m' al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m' kote pou m' pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la.(Creole-HT) ======= Judges 1:16 ============ Jdg 1:16 And the children of the Kenite, Moses' father in law, went up out of the city of palm trees with the children of Judah into the wilderness of Judah, which lieth in the south of Arad; and they went and dwelt among the people.(KJV-1611) Jdg 1:16 Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:17 ============ Jdg 1:17 And Judah went with Simeon his brother, and they slew the Canaanites that inhabited Zephath, and utterly destroyed it. And the name of the city was called Hormah.(KJV-1611) Jdg 1:17 Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l'. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l' Oma.(Creole-HT) ======= Judges 1:18 ============ Jdg 1:18 Also Judah took Gaza with the coast thereof, and Askelon with the coast thereof, and Ekron with the coast thereof.(KJV-1611) Jdg 1:18 Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.(Creole-HT) ======= Judges 1:19 ============ Jdg 1:19 And the LORD was with Judah; and he drave out the inhabitants of the mountain; but could not drive out the inhabitants of the valley, because they had chariots of iron.(KJV-1611) Jdg 1:19 Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.(Creole-HT) ======= Judges 1:20 ============ Jdg 1:20 And they gave Hebron unto Caleb, as Moses said: and he expelled thence the three sons of Anak.(KJV-1611) Jdg 1:20 Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 1:21 ============ Jdg 1:21 And the children of Benjamin did not drive out the Jebusites that inhabited Jerusalem; but the Jebusites dwell with the children of Benjamin in Jerusalem unto this day.(KJV-1611) Jdg 1:21 Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Judges 1:22 ============ Jdg 1:22 And the house of Joseph, they also went up against Bethel: and the LORD was with them.(KJV-1611) Jdg 1:22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou.(Creole-HT) ======= Judges 1:23 ============ Jdg 1:23 And the house of Joseph sent to descry Bethel. (Now the name of the city before was Luz.)(KJV-1611) Jdg 1:23 Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 1:24 ============ Jdg 1:24 And the spies saw a man come forth out of the city, and they said unto him, Shew us, we pray thee, the entrance into the city, and we will shew thee mercy.(KJV-1611) Jdg 1:24 Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.(Creole-HT) ======= Judges 1:25 ============ Jdg 1:25 And when he shewed them the entrance into the city, they smote the city with the edge of the sword; but they let go the man and all his family.(KJV-1611) Jdg 1:25 Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l'.(Creole-HT) ======= Judges 1:26 ============ Jdg 1:26 And the man went into the land of the Hittites, and built a city, and called the name thereof Luz: which is the name thereof unto this day.(KJV-1611) Jdg 1:26 Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l' Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Judges 1:27 ============ Jdg 1:27 Neither did Manasseh drive out the inhabitants of Bethshean and her towns, nor Taanach and her towns, nor the inhabitants of Dor and her towns, nor the inhabitants of Ibleam and her towns, nor the inhabitants of Megiddo and her towns: but the Canaanites would dwell in that land.(KJV-1611) Jdg 1:27 Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.(Creole-HT) ======= Judges 1:28 ============ Jdg 1:28 And it came to pass, when Israel was strong, that they put the Canaanites to tribute, and did not utterly drive them out.(KJV-1611) Jdg 1:28 Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.(Creole-HT) ======= Judges 1:29 ============ Jdg 1:29 Neither did Ephraim drive out the Canaanites that dwelt in Gezer; but the Canaanites dwelt in Gezer among them.(KJV-1611) Jdg 1:29 Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:30 ============ Jdg 1:30 Neither did Zebulun drive out the inhabitants of Kitron, nor the inhabitants of Nahalol; but the Canaanites dwelt among them, and became tributaries.(KJV-1611) Jdg 1:30 Moun branch fanmi Zabilon yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:31 ============ Jdg 1:31 Neither did Asher drive out the inhabitants of Accho, nor the inhabitants of Zidon, nor of Ahlab, nor of Achzib, nor of Helbah, nor of Aphik, nor of Rehob:(KJV-1611) Jdg 1:31 Moun branch fanmi Asè yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb.(Creole-HT) ======= Judges 1:32 ============ Jdg 1:32 But the Asherites dwelt among the Canaanites, the inhabitants of the land: for they did not drive them out.(KJV-1611) Jdg 1:32 Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pa t' mete yo deyò.(Creole-HT) ======= Judges 1:33 ============ Jdg 1:33 Neither did Naphtali drive out the inhabitants of Bethshemesh, nor the inhabitants of Bethanath; but he dwelt among the Canaanites, the inhabitants of the land: nevertheless the inhabitants of Bethshemesh and of Bethanath became tributaries unto them.(KJV-1611) Jdg 1:33 Moun branch fanmi Nèftali yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:34 ============ Jdg 1:34 And the Amorites forced the children of Dan into the mountain: for they would not suffer them to come down to the valley:(KJV-1611) Jdg 1:34 Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pa t' kite yo desann nan plenn lan menm.(Creole-HT) ======= Judges 1:35 ============ Jdg 1:35 But the Amorites would dwell in mount Heres in Aijalon, and in Shaalbim: yet the hand of the house of Joseph prevailed, so that they became tributaries.(KJV-1611) Jdg 1:35 Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 1:36 ============ Jdg 1:36 And the coast of the Amorites was from the going up to Akrabbim, from the rock, and upward.(KJV-1611) Jdg 1:36 Fwontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.(Creole-HT) ======= Judges 2:1 ============ Jdg 2:1 And an angel of the LORD came up from Gilgal to Bochim, and said, I made you to go up out of Egypt, and have brought you unto the land which I sware unto your fathers; and I said, I will never break my covenant with you.(KJV-1611) Jdg 2:1 Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Judges 2:2 ============ Jdg 2:2 And ye shall make no league with the inhabitants of this land; ye shall throw down their altars: but ye have not obeyed my voice: why have ye done this?(KJV-1611) Jdg 2:2 Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!(Creole-HT) ======= Judges 2:3 ============ Jdg 2:3 Wherefore I also said, I will not drive them out from before you; but they shall be as thorns in your sides, and their gods shall be a snare unto you.(KJV-1611) Jdg 2:3 Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.(Creole-HT) ======= Judges 2:4 ============ Jdg 2:4 And it came to pass, when the angel of the LORD spake these words unto all the children of Israel, that the people lifted up their voice, and wept.(KJV-1611) Jdg 2:4 Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.(Creole-HT) ======= Judges 2:5 ============ Jdg 2:5 And they called the name of that place Bochim: and they sacrificed there unto the LORD.(KJV-1611) Jdg 2:5 Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la.(Creole-HT) ======= Judges 2:6 ============ Jdg 2:6 And when Joshua had let the people go, the children of Israel went every man unto his inheritance to possess the land.(KJV-1611) Jdg 2:6 Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a.(Creole-HT) ======= Judges 2:7 ============ Jdg 2:7 And the people served the LORD all the days of Joshua, and all the days of the elders that outlived Joshua, who had seen all the great works of the LORD, that he did for Israel.(KJV-1611) Jdg 2:7 Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.(Creole-HT) ======= Judges 2:8 ============ Jdg 2:8 And Joshua the son of Nun, the servant of the LORD, died, being an hundred and ten years old.(KJV-1611) Jdg 2:8 Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan .(Creole-HT) ======= Judges 2:9 ============ Jdg 2:9 And they buried him in the border of his inheritance in Timnathheres, in the mount of Ephraim, on the north side of the hill Gaash.(KJV-1611) Jdg 2:9 Yo antere l' sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.(Creole-HT) ======= Judges 2:10 ============ Jdg 2:10 And also all that generation were gathered unto their fathers: and there arose another generation after them, which knew not the LORD, nor yet the works which he had done for Israel.(KJV-1611) Jdg 2:10 Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 2:11 ============ Jdg 2:11 And the children of Israel did evil in the sight of the LORD, and served Baalim:(KJV-1611) Jdg 2:11 Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:12 ============ Jdg 2:12 And they forsook the LORD God of their fathers, which brought them out of the land of Egypt, and followed other gods, of the gods of the people that were round about them, and bowed themselves unto them, and provoked the LORD to anger.(KJV-1611) Jdg 2:12 Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y' al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:13 ============ Jdg 2:13 And they forsook the LORD, and served Baal and Ashtaroth.(KJV-1611) Jdg 2:13 Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:14 ============ Jdg 2:14 And the anger of the LORD was hot against Israel, and he delivered them into the hands of spoilers that spoiled them, and he sold them into the hands of their enemies round about, so that they could not any longer stand before their enemies.(KJV-1611) Jdg 2:14 Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.(Creole-HT) ======= Judges 2:15 ============ Jdg 2:15 Whithersoever they went out, the hand of the LORD was against them for evil, as the LORD had said, and as the LORD had sworn unto them: and they were greatly distressed.(KJV-1611) Jdg 2:15 Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!(Creole-HT) ======= Judges 2:16 ============ Jdg 2:16 Nevertheless the LORD raised up judges, which delivered them out of the hand of those that spoiled them.(KJV-1611) Jdg 2:16 Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:17 ============ Jdg 2:17 And yet they would not hearken unto their judges, but they went a whoring after other gods, and bowed themselves unto them: they turned quickly out of the way which their fathers walked in, obeying the commandments of the LORD; but they did not so.(KJV-1611) Jdg 2:17 Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a.(Creole-HT) ======= Judges 2:18 ============ Jdg 2:18 And when the LORD raised them up judges, then the LORD was with the judge, and delivered them out of the hand of their enemies all the days of the judge: for it repented the LORD because of their groanings by reason of them that oppressed them and vexed them.(KJV-1611) Jdg 2:18 Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:19 ============ Jdg 2:19 And it came to pass, when the judge was dead, that they returned, and corrupted themselves more than their fathers, in following other gods to serve them, and to bow down unto them; they ceased not from their own doings, nor from their stubborn way.(KJV-1611) Jdg 2:19 Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Judges 2:20 ============ Jdg 2:20 And the anger of the LORD was hot against Israel; and he said, Because that this people hath transgressed my covenant which I commanded their fathers, and have not hearkened unto my voice;(KJV-1611) Jdg 2:20 Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'.(Creole-HT) ======= Judges 2:21 ============ Jdg 2:21 I also will not henceforth drive out any from before them of the nations which Joshua left when he died:(KJV-1611) Jdg 2:21 Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.(Creole-HT) ======= Judges 2:22 ============ Jdg 2:22 That through them I may prove Israel, whether they will keep the way of the LORD to walk therein, as their fathers did keep it, or not.(KJV-1611) Jdg 2:22 Se konsa m'a wè kote m' ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m' mande yo fè a jan zansèt yo te fè l' la.(Creole-HT) ======= Judges 2:23 ============ Jdg 2:23 Therefore the LORD left those nations, without driving them out hastily; neither delivered he them into the hand of Joshua.(KJV-1611) Jdg 2:23 Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t' lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.(Creole-HT) ======= Judges 3:1 ============ Jdg 3:1 Now these are the nations which the LORD left, to prove Israel by them, even as many of Israel as had not known all the wars of Canaan;(KJV-1611) Jdg 3:1 Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an.(Creole-HT) ======= Judges 3:2 ============ Jdg 3:2 Only that the generations of the children of Israel might know, to teach them war, at the least such as before knew nothing thereof;(KJV-1611) Jdg 3:2 Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa.(Creole-HT) ======= Judges 3:3 ============ Jdg 3:3 Namely, five lords of the Philistines, and all the Canaanites, and the Sidonians, and the Hivites that dwelt in mount Lebanon, from mount Baalhermon unto the entering in of Hamath.(KJV-1611) Jdg 3:3 Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat.(Creole-HT) ======= Judges 3:4 ============ Jdg 3:4 And they were to prove Israel by them, to know whether they would hearken unto the commandments of the LORD, which he commanded their fathers by the hand of Moses.(KJV-1611) Jdg 3:4 Se ak moun sa yo Seyè a t'ap sonde pèp la pou l' te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Judges 3:5 ============ Jdg 3:5 And the children of Israel dwelt among the Canaanites, Hittites, and Amorites, and Perizzites, and Hivites, and Jebusites:(KJV-1611) Jdg 3:5 Se konsa pèp Izrayèl la twouve l' rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Judges 3:6 ============ Jdg 3:6 And they took their daughters to be their wives, and gave their daughters to their sons, and served their gods.(KJV-1611) Jdg 3:6 Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.(Creole-HT) ======= Judges 3:7 ============ Jdg 3:7 And the children of Israel did evil in the sight of the LORD, and forgat the LORD their God, and served Baalim and the groves.(KJV-1611) Jdg 3:7 Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.(Creole-HT) ======= Judges 3:8 ============ Jdg 3:8 Therefore the anger of the LORD was hot against Israel, and he sold them into the hand of Chushanrishathaim king of Mesopotamia: and the children of Israel served Chushanrishathaim eight years.(KJV-1611) Jdg 3:8 Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.(Creole-HT) ======= Judges 3:9 ============ Jdg 3:9 And when the children of Israel cried unto the LORD, the LORD raised up a deliverer to the children of Israel, who delivered them, even Othniel the son of Kenaz, Caleb's younger brother.(KJV-1611) Jdg 3:9 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb.(Creole-HT) ======= Judges 3:10 ============ Jdg 3:10 And the Spirit of the LORD came upon him, and he judged Israel, and went out to war: and the LORD delivered Chushanrishathaim king of Mesopotamia into his hand; and his hand prevailed against Chushanrishathaim.(KJV-1611) Jdg 3:10 Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.(Creole-HT) ======= Judges 3:11 ============ Jdg 3:11 And the land had rest forty years. And Othniel the son of Kenaz died.(KJV-1611) Jdg 3:11 Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.(Creole-HT) ======= Judges 3:12 ============ Jdg 3:12 And the children of Israel did evil again in the sight of the LORD: and the LORD strengthened Eglon the king of Moab against Israel, because they had done evil in the sight of the LORD.(KJV-1611) Jdg 3:12 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 3:13 ============ Jdg 3:13 And he gathered unto him the children of Ammon and Amalek, and went and smote Israel, and possessed the city of palm trees.(KJV-1611) Jdg 3:13 Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l', epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 3:14 ============ Jdg 3:14 So the children of Israel served Eglon the king of Moab eighteen years.(KJV-1611) Jdg 3:14 Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Judges 3:15 ============ Jdg 3:15 But when the children of Israel cried unto the LORD, the LORD raised them up a deliverer, Ehud the son of Gera, a Benjamite, a man lefthanded: and by him the children of Israel sent a present unto Eglon the king of Moab.(KJV-1611) Jdg 3:15 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.(Creole-HT) ======= Judges 3:16 ============ Jdg 3:16 But Ehud made him a dagger which had two edges, of a cubit length; and he did gird it under his raiment upon his right thigh.(KJV-1611) Jdg 3:16 Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l' sou kwis pye dwat li, anba rad li.(Creole-HT) ======= Judges 3:17 ============ Jdg 3:17 And he brought the present unto Eglon king of Moab: and Eglon was a very fat man.(KJV-1611) Jdg 3:17 Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Moab la. Eglon te gwo anpil.(Creole-HT) ======= Judges 3:18 ============ Jdg 3:18 And when he had made an end to offer the present, he sent away the people that bare the present.(KJV-1611) Jdg 3:18 Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale.(Creole-HT) ======= Judges 3:19 ============ Jdg 3:19 But he himself turned again from the quarries that were by Gilgal, and said, I have a secret errand unto thee, O king: who said, Keep silence. And all that stood by him went out from him.(KJV-1611) Jdg 3:19 Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l' konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l' yo soti.(Creole-HT) ======= Judges 3:20 ============ Jdg 3:20 And Ehud came unto him; and he was sitting in a summer parlour, which he had for himself alone. And Ehud said, I have a message from God unto thee. And he arose out of his seat.(KJV-1611) Jdg 3:20 Wa a te chita nan chanm pa l' anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l', li di l' konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m' pou ou. Wa a leve kanpe.(Creole-HT) ======= Judges 3:21 ============ Jdg 3:21 And Ehud put forth his left hand, and took the dagger from his right thigh, and thrust it into his belly:(KJV-1611) Jdg 3:21 Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant.(Creole-HT) ======= Judges 3:22 ============ Jdg 3:22 And the haft also went in after the blade; and the fat closed upon the blade, so that he could not draw the dagger out of his belly; and the dirt came out.(KJV-1611) Jdg 3:22 Li foure ponya a tout longè l' nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pa t' rale l' soti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè.(Creole-HT) ======= Judges 3:23 ============ Jdg 3:23 Then Ehud went forth through the porch, and shut the doors of the parlour upon him, and locked them.(KJV-1611) Jdg 3:23 Lèfini, Eyoud soti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l', li klete yo,(Creole-HT) ======= Judges 3:24 ============ Jdg 3:24 When he was gone out, his servants came; and when they saw that, behold, the doors of the parlour were locked, they said, Surely he covereth his feet in his summer chamber.(KJV-1611) Jdg 3:24 epi l' ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa: -Gen lè wa a okipe anndan an. L'ap fè bezwen li.(Creole-HT) ======= Judges 3:25 ============ Jdg 3:25 And they tarried till they were ashamed: and, behold, he opened not the doors of the parlour; therefore they took a key, and opened them: and, behold, their lord was fallen down dead on the earth.(KJV-1611) Jdg 3:25 Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l' fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri!(Creole-HT) ======= Judges 3:26 ============ Jdg 3:26 And Ehud escaped while they tarried, and passed beyond the quarries, and escaped unto Seirath.(KJV-1611) Jdg 3:26 Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gen tan chape kò l'. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l' ale.(Creole-HT) ======= Judges 3:27 ============ Jdg 3:27 And it came to pass, when he was come, that he blew a trumpet in the mountain of Ephraim, and the children of Israel went down with him from the mount, and he before them.(KJV-1611) Jdg 3:27 Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo.(Creole-HT) ======= Judges 3:28 ============ Jdg 3:28 And he said unto them, Follow after me: for the LORD hath delivered your enemies the Moabites into your hand. And they went down after him, and took the fords of Jordan toward Moab, and suffered not a man to pass over.(KJV-1611) Jdg 3:28 Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.(Creole-HT) ======= Judges 3:29 ============ Jdg 3:29 And they slew of Moab at that time about ten thousand men, all lusty, and all men of valour; and there escaped not a man.(KJV-1611) Jdg 3:29 Lè sa a, yo te touye dimil sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape.(Creole-HT) ======= Judges 3:30 ============ Jdg 3:30 So Moab was subdued that day under the hand of Israel. And the land had rest fourscore years.(KJV-1611) Jdg 3:30 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.(Creole-HT) ======= Judges 3:31 ============ Jdg 3:31 And after him was Shamgar the son of Anath, which slew of the Philistines six hundred men with an ox goad: and he also delivered Israel.(KJV-1611) Jdg 3:31 Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 4:1 ============ Jdg 4:1 And the children of Israel again did evil in the sight of the LORD, when Ehud was dead.(KJV-1611) Jdg 4:1 Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a.(Creole-HT) ======= Judges 4:2 ============ Jdg 4:2 And the LORD sold them into the hand of Jabin king of Canaan, that reigned in Hazor; the captain of whose host was Sisera, which dwelt in Harosheth of the Gentiles.(KJV-1611) Jdg 4:2 Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim.(Creole-HT) ======= Judges 4:3 ============ Jdg 4:3 And the children of Israel cried unto the LORD: for he had nine hundred chariots of iron; and twenty years he mightily oppressed the children of Israel.(KJV-1611) Jdg 4:3 Li te gen nèfsan cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= Judges 4:4 ============ Jdg 4:4 And Deborah, a prophetess, the wife of Lapidoth, she judged Israel at that time.(KJV-1611) Jdg 4:4 Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 4:5 ============ Jdg 4:5 And she dwelt under the palm tree of Deborah between Ramah and Bethel in mount Ephraim: and the children of Israel came up to her for judgment.(KJV-1611) Jdg 4:5 Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 4:6 ============ Jdg 4:6 And she sent and called Barak the son of Abinoam out of Kedeshnaphtali, and said unto him, Hath not the LORD God of Israel commanded, saying, Go and draw toward mount Tabor, and take with thee ten thousand men of the children of Naphtali and of the children of Zebulun?(KJV-1611) Jdg 4:6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil gason avè ou.(Creole-HT) ======= Judges 4:7 ============ Jdg 4:7 And I will draw unto thee to the river Kishon Sisera, the captain of Jabin's army, with his chariots and his multitude; and I will deliver him into thine hand.(KJV-1611) Jdg 4:7 M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou.(Creole-HT) ======= Judges 4:8 ============ Jdg 4:8 And Barak said unto her, If thou wilt go with me, then I will go: but if thou wilt not go with me, then I will not go.(KJV-1611) Jdg 4:8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.(Creole-HT) ======= Judges 4:9 ============ Jdg 4:9 And she said, I will surely go with thee: notwithstanding the journey that thou takest shall not be for thine honour; for the LORD shall sell Sisera into the hand of a woman. And Deborah arose, and went with Barak to Kedesh.(KJV-1611) Jdg 4:9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.(Creole-HT) ======= Judges 4:10 ============ Jdg 4:10 And Barak called Zebulun and Naphtali to Kedesh; and he went up with ten thousand men at his feet: and Deborah went up with him.(KJV-1611) Jdg 4:10 Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.(Creole-HT) ======= Judges 4:11 ============ Jdg 4:11 Now Heber the Kenite, which was of the children of Hobab the father in law of Moses, had severed himself from the Kenites, and pitched his tent unto the plain of Zaanaim, which is by Kedesh.(KJV-1611) Jdg 4:11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.(Creole-HT) ======= Judges 4:12 ============ Jdg 4:12 And they shewed Sisera that Barak the son of Abinoam was gone up to mount Tabor.(KJV-1611) Jdg 4:12 Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.(Creole-HT) ======= Judges 4:13 ============ Jdg 4:13 And Sisera gathered together all his chariots, even nine hundred chariots of iron, and all the people that were with him, from Harosheth of the Gentiles unto the river of Kishon.(KJV-1611) Jdg 4:13 Sisera fè chache nèfsan cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.(Creole-HT) ======= Judges 4:14 ============ Jdg 4:14 And Deborah said unto Barak, Up; for this is the day in which the LORD hath delivered Sisera into thine hand: is not the LORD gone out before thee? So Barak went down from mount Tabor, and ten thousand men after him.(KJV-1611) Jdg 4:14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil sòlda dèyè l'.(Creole-HT) ======= Judges 4:15 ============ Jdg 4:15 And the LORD discomfited Sisera, and all his chariots, and all his host, with the edge of the sword before Barak; so that Sisera lighted down off his chariot, and fled away on his feet.(KJV-1611) Jdg 4:15 Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!(Creole-HT) ======= Judges 4:16 ============ Jdg 4:16 But Barak pursued after the chariots, and after the host, unto Harosheth of the Gentiles: and all the host of Sisera fell upon the edge of the sword; and there was not a man left.(KJV-1611) Jdg 4:16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= Judges 4:17 ============ Jdg 4:17 Howbeit Sisera fled away on his feet to the tent of Jael the wife of Heber the Kenite: for there was peace between Jabin the king of Hazor and the house of Heber the Kenite.(KJV-1611) Jdg 4:17 Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Judges 4:18 ============ Jdg 4:18 And Jael went out to meet Sisera, and said unto him, Turn in, my lord, turn in to me; fear not. And when he had turned in unto her into the tent, she covered him with a mantle.(KJV-1611) Jdg 4:18 Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra.(Creole-HT) ======= Judges 4:19 ============ Jdg 4:19 And he said unto her, Give me, I pray thee, a little water to drink; for I am thirsty. And she opened a bottle of milk, and gave him drink, and covered him.(KJV-1611) Jdg 4:19 Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò.(Creole-HT) ======= Judges 4:20 ============ Jdg 4:20 Again he said unto her, Stand in the door of the tent, and it shall be, when any man doth come and enquire of thee, and say, Is there any man here? that thou shalt say, No.(KJV-1611) Jdg 4:20 Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn.(Creole-HT) ======= Judges 4:21 ============ Jdg 4:21 Then Jael Heber's wife took a nail of the tent, and took an hammer in her hand, and went softly unto him, and smote the nail into his temples, and fastened it into the ground: for he was fast asleep and weary. So he died.(KJV-1611) Jdg 4:21 Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.(Creole-HT) ======= Judges 4:22 ============ Jdg 4:22 And, behold, as Barak pursued Sisera, Jael came out to meet him, and said unto him, Come, and I will shew thee the man whom thou seekest. And when he came into her tent, behold, Sisera lay dead, and the nail was in his temples.(KJV-1611) Jdg 4:22 Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.(Creole-HT) ======= Judges 4:23 ============ Jdg 4:23 So God subdued on that day Jabin the king of Canaan before the children of Israel.(KJV-1611) Jdg 4:23 Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 4:24 ============ Jdg 4:24 And the hand of the children of Israel prospered, and prevailed against Jabin the king of Canaan, until they had destroyed Jabin king of Canaan.(KJV-1611) Jdg 4:24 Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l'.(Creole-HT) ======= Judges 5:1 ============ Jdg 5:1 Then sang Deborah and Barak the son of Abinoam on that day, saying,(KJV-1611) Jdg 5:1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:(Creole-HT) ======= Judges 5:2 ============ Jdg 5:2 Praise ye the LORD for the avenging of Israel, when the people willingly offered themselves.(KJV-1611) Jdg 5:2 -Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!(Creole-HT) ======= Judges 5:3 ============ Jdg 5:3 Hear, O ye kings; give ear, O ye princes; I, even I, will sing unto the LORD; I will sing praise to the LORD God of Israel.(KJV-1611) Jdg 5:3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!(Creole-HT) ======= Judges 5:4 ============ Jdg 5:4 LORD, when thou wentest out of Seir, when thou marchedst out of the field of Edom, the earth trembled, and the heavens dropped, the clouds also dropped water.(KJV-1611) Jdg 5:4 Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.(Creole-HT) ======= Judges 5:5 ============ Jdg 5:5 The mountains melted from before the LORD, even that Sinai from before the LORD God of Israel.(KJV-1611) Jdg 5:5 Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la!(Creole-HT) ======= Judges 5:6 ============ Jdg 5:6 In the days of Shamgar the son of Anath, in the days of Jael, the highways were unoccupied, and the travellers walked through byways.(KJV-1611) Jdg 5:6 Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen.(Creole-HT) ======= Judges 5:7 ============ Jdg 5:7 The inhabitants of the villages ceased, they ceased in Israel, until that I Deborah arose, that I arose a mother in Israel.(KJV-1611) Jdg 5:7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 5:8 ============ Jdg 5:8 They chose new gods; then was war in the gates: was there a shield or spear seen among forty thousand in Israel?(KJV-1611) Jdg 5:8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.(Creole-HT) ======= Judges 5:9 ============ Jdg 5:9 My heart is toward the governors of Israel, that offered themselves willingly among the people. Bless ye the LORD.(KJV-1611) Jdg 5:9 Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Judges 5:10 ============ Jdg 5:10 Speak, ye that ride on white asses, ye that sit in judgment, and walk by the way.(KJV-1611) Jdg 5:10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen!(Creole-HT) ======= Judges 5:11 ============ Jdg 5:11 They that are delivered from the noise of archers in the places of drawing water, there shall they rehearse the righteous acts of the LORD, even the righteous acts toward the inhabitants of his villages in Israel: then shall the people of the LORD go down to the gates.(KJV-1611) Jdg 5:11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo.(Creole-HT) ======= Judges 5:12 ============ Jdg 5:12 Awake, awake, Deborah: awake, awake, utter a song: arise, Barak, and lead thy captivity captive, thou son of Abinoam.(KJV-1611) Jdg 5:12 Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini!(Creole-HT) ======= Judges 5:13 ============ Jdg 5:13 Then he made him that remaineth have dominion over the nobles among the people: the LORD made me have dominion over the mighty.(KJV-1611) Jdg 5:13 Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè.(Creole-HT) ======= Judges 5:14 ============ Jdg 5:14 Out of Ephraim was there a root of them against Amalek; after thee, Benjamin, among thy people; out of Machir came down governors, and out of Zebulun they that handle the pen of the writer.(KJV-1611) Jdg 5:14 Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon.(Creole-HT) ======= Judges 5:15 ============ Jdg 5:15 And the princes of Issachar were with Deborah; even Issachar, and also Barak: he was sent on foot into the valley. For the divisions of Reuben there were great thoughts of heart.(KJV-1611) Jdg 5:15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini.(Creole-HT) ======= Judges 5:16 ============ Jdg 5:16 Why abodest thou among the sheepfolds, to hear the bleatings of the flocks? For the divisions of Reuben there were great searchings of heart.(KJV-1611) Jdg 5:16 Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!(Creole-HT) ======= Judges 5:17 ============ Jdg 5:17 Gilead abode beyond Jordan: and why did Dan remain in ships? Asher continued on the sea shore, and abode in his breaches.(KJV-1611) Jdg 5:17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo.(Creole-HT) ======= Judges 5:18 ============ Jdg 5:18 Zebulun and Naphtali were a people that jeoparded their lives unto the death in the high places of the field.(KJV-1611) Jdg 5:18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a.(Creole-HT) ======= Judges 5:19 ============ Jdg 5:19 The kings came and fought, then fought the kings of Canaan in Taanach by the waters of Megiddo; they took no gain of money.(KJV-1611) Jdg 5:19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!(Creole-HT) ======= Judges 5:20 ============ Jdg 5:20 They fought from heaven; the stars in their courses fought against Sisera.(KJV-1611) Jdg 5:20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.(Creole-HT) ======= Judges 5:21 ============ Jdg 5:21 The river of Kishon swept them away, that ancient river, the river Kishon. O my soul, thou hast trodden down strength.(KJV-1611) Jdg 5:21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale!(Creole-HT) ======= Judges 5:22 ============ Jdg 5:22 Then were the horsehoofs broken by the means of the pransings, the pransings of their mighty ones.(KJV-1611) Jdg 5:22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.(Creole-HT) ======= Judges 5:23 ============ Jdg 5:23 Curse ye Meroz, said the angel of the LORD, curse ye bitterly the inhabitants thereof; because they came not to the help of the LORD, to the help of the LORD against the mighty.(KJV-1611) Jdg 5:23 Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li.(Creole-HT) ======= Judges 5:24 ============ Jdg 5:24 Blessed above women shall Jael the wife of Heber the Kenite be, blessed shall she be above women in the tent.(KJV-1611) Jdg 5:24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil.(Creole-HT) ======= Judges 5:25 ============ Jdg 5:25 He asked water, and she gave him milk; she brought forth butter in a lordly dish.(KJV-1611) Jdg 5:25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.(Creole-HT) ======= Judges 5:26 ============ Jdg 5:26 She put her hand to the nail, and her right hand to the workmen's hammer; and with the hammer she smote Sisera, she smote off his head, when she had pierced and stricken through his temples.(KJV-1611) Jdg 5:26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'.(Creole-HT) ======= Judges 5:27 ============ Jdg 5:27 At her feet he bowed, he fell, he lay down: at her feet he bowed, he fell: where he bowed, there he fell down dead.(KJV-1611) Jdg 5:27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.(Creole-HT) ======= Judges 5:28 ============ Jdg 5:28 The mother of Sisera looked out at a window, and cried through the lattice, Why is his chariot so long in coming? why tarry the wheels of his chariots?(KJV-1611) Jdg 5:28 Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?(Creole-HT) ======= Judges 5:29 ============ Jdg 5:29 Her wise ladies answered her, yea, she returned answer to herself,(KJV-1611) Jdg 5:29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l':(Creole-HT) ======= Judges 5:30 ============ Jdg 5:30 Have they not sped? have they not divided the prey; to every man a damsel or two; to Sisera a prey of divers colours, a prey of divers colours of needlework, of divers colours of needlework on both sides, meet for the necks of them that take the spoil?(KJV-1611) Jdg 5:30 -Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'.(Creole-HT) ======= Judges 5:31 ============ Jdg 5:31 So let all thine enemies perish, O LORD: but let them that love him be as the sun when he goeth forth in his might. And the land had rest forty years.(KJV-1611) Jdg 5:31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.(Creole-HT) ======= Judges 6:1 ============ Jdg 6:1 And the children of Israel did evil in the sight of the LORD: and the LORD delivered them into the hand of Midian seven years.(KJV-1611) Jdg 6:1 Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.(Creole-HT) ======= Judges 6:2 ============ Jdg 6:2 And the hand of Midian prevailed against Israel: and because of the Midianites the children of Israel made them the dens which are in the mountains, and caves, and strong holds.(KJV-1611) Jdg 6:2 Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo.(Creole-HT) ======= Judges 6:3 ============ Jdg 6:3 And so it was, when Israel had sown, that the Midianites came up, and the Amalekites, and the children of the east, even they came up against them;(KJV-1611) Jdg 6:3 Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.(Creole-HT) ======= Judges 6:4 ============ Jdg 6:4 And they encamped against them, and destroyed the increase of the earth, till thou come unto Gaza, and left no sustenance for Israel, neither sheep, nor ox, nor ass.(KJV-1611) Jdg 6:4 Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik.(Creole-HT) ======= Judges 6:5 ============ Jdg 6:5 For they came up with their cattle and their tents, and they came as grasshoppers for multitude; for both they and their camels were without number: and they entered into the land to destroy it.(KJV-1611) Jdg 6:5 Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.(Creole-HT) ======= Judges 6:6 ============ Jdg 6:6 And Israel was greatly impoverished because of the Midianites; and the children of Israel cried unto the LORD.(KJV-1611) Jdg 6:6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou.(Creole-HT) ======= Judges 6:7 ============ Jdg 6:7 And it came to pass, when the children of Israel cried unto the LORD because of the Midianites,(KJV-1611) Jdg 6:7 Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo,(Creole-HT) ======= Judges 6:8 ============ Jdg 6:8 That the LORD sent a prophet unto the children of Israel, which said unto them, Thus saith the LORD God of Israel, I brought you up from Egypt, and brought you forth out of the house of bondage;(KJV-1611) Jdg 6:8 Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.(Creole-HT) ======= Judges 6:9 ============ Jdg 6:9 And I delivered you out of the hand of the Egyptians, and out of the hand of all that oppressed you, and drave them out from before you, and gave you their land;(KJV-1611) Jdg 6:9 Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete.(Creole-HT) ======= Judges 6:10 ============ Jdg 6:10 And I said unto you, I am the LORD your God; fear not the gods of the Amorites, in whose land ye dwell: but ye have not obeyed my voice.(KJV-1611) Jdg 6:10 Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou.(Creole-HT) ======= Judges 6:11 ============ Jdg 6:11 And there came an angel of the LORD, and sat under an oak which was in Ophrah, that pertained unto Joash the Abiezrite: and his son Gideon threshed wheat by the winepress, to hide it from the Midianites.(KJV-1611) Jdg 6:11 Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.(Creole-HT) ======= Judges 6:12 ============ Jdg 6:12 And the angel of the LORD appeared unto him, and said unto him, The LORD is with thee, thou mighty man of valour.(KJV-1611) Jdg 6:12 Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!(Creole-HT) ======= Judges 6:13 ============ Jdg 6:13 And Gideon said unto him, Oh my Lord, if the LORD be with us, why then is all this befallen us? and where be all his miracles which our fathers told us of, saying, Did not the LORD bring us up from Egypt? but now the LORD hath forsaken us, and delivered us into the hands of the Midianites.(KJV-1611) Jdg 6:13 Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.(Creole-HT) ======= Judges 6:14 ============ Jdg 6:14 And the LORD looked upon him, and said, Go in this thy might, and thou shalt save Israel from the hand of the Midianites: have not I sent thee?(KJV-1611) Jdg 6:14 Lè sa a, Seyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l': -Ale non. Avèk fòs kouraj ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!(Creole-HT) ======= Judges 6:15 ============ Jdg 6:15 And he said unto him, Oh my Lord, wherewith shall I save Israel? behold, my family is poor in Manasseh, and I am the least in my father's house.(KJV-1611) Jdg 6:15 Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.(Creole-HT) ======= Judges 6:16 ============ Jdg 6:16 And the LORD said unto him, Surely I will be with thee, and thou shalt smite the Midianites as one man.(KJV-1611) Jdg 6:16 Seyè a di l': -Ou ka fè l', paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.(Creole-HT) ======= Judges 6:17 ============ Jdg 6:17 And he said unto him, If now I have found grace in thy sight, then shew me a sign that thou talkest with me.(KJV-1611) Jdg 6:17 Jedeyon reponn: -Si reyèlman vre ou vle fè m' favè sa a, ban m' yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m' la a.(Creole-HT) ======= Judges 6:18 ============ Jdg 6:18 Depart not hence, I pray thee, until I come unto thee, and bring forth my present, and set it before thee. And he said, I will tarry until thou come again.(KJV-1611) Jdg 6:18 Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou.(Creole-HT) ======= Judges 6:19 ============ Jdg 6:19 And Gideon went in, and made ready a kid, and unleavened cakes of an ephah of flour: the flesh he put in a basket, and he put the broth in a pot, and brought it out unto him under the oak, and presented it.(KJV-1611) Jdg 6:19 Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.(Creole-HT) ======= Judges 6:20 ============ Jdg 6:20 And the angel of God said unto him, Take the flesh and the unleavened cakes, and lay them upon this rock, and pour out the broth. And he did so.(KJV-1611) Jdg 6:20 Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre.(Creole-HT) ======= Judges 6:21 ============ Jdg 6:21 Then the angel of the LORD put forth the end of the staff that was in his hand, and touched the flesh and the unleavened cakes; and there rose up fire out of the rock, and consumed the flesh and the unleavened cakes. Then the angel of the LORD departed out of his sight.(KJV-1611) Jdg 6:21 Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li.(Creole-HT) ======= Judges 6:22 ============ Jdg 6:22 And when Gideon perceived that he was an angel of the LORD, Gideon said, Alas, O LORD God! for because I have seen an angel of the LORD face to face.(KJV-1611) Jdg 6:22 Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!(Creole-HT) ======= Judges 6:23 ============ Jdg 6:23 And the LORD said unto him, Peace be unto thee; fear not: thou shalt not die.(KJV-1611) Jdg 6:23 Men, Seyè a di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.(Creole-HT) ======= Judges 6:24 ============ Jdg 6:24 Then Gideon built an altar there unto the LORD, and called it Jehovahshalom: unto this day it is yet in Ophrah of the Abiezrites.(KJV-1611) Jdg 6:24 Jedeyon bati yon lotèl pou Seyè a la menm. Epi li rele l': Seyè a bay kè poze. Jouk jòdi a lotèl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezè yo.(Creole-HT) ======= Judges 6:25 ============ Jdg 6:25 And it came to pass the same night, that the LORD said unto him, Take thy father's young bullock, even the second bullock of seven years old, and throw down the altar of Baal that thy father hath, and cut down the grove that is by it:(KJV-1611) Jdg 6:25 Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la.(Creole-HT) ======= Judges 6:26 ============ Jdg 6:26 And build an altar unto the LORD thy God upon the top of this rock, in the ordered place, and take the second bullock, and offer a burnt sacrifice with the wood of the grove which thou shalt cut down.(KJV-1611) Jdg 6:26 Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a.(Creole-HT) ======= Judges 6:27 ============ Jdg 6:27 Then Gideon took ten men of his servants, and did as the LORD had said unto him: and so it was, because he feared his father's household, and the men of the city, that he could not do it by day, that he did it by night.(KJV-1611) Jdg 6:27 Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Seyè a te di l' fè. Men, li te pè fanmi l' yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fè sa lajounen, l' al fè l' lannwit.(Creole-HT) ======= Judges 6:28 ============ Jdg 6:28 And when the men of the city arose early in the morning, behold, the altar of Baal was cast down, and the grove was cut down that was by it, and the second bullock was offered upon the altar that was built.(KJV-1611) Jdg 6:28 Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a.(Creole-HT) ======= Judges 6:29 ============ Jdg 6:29 And they said one to another, Who hath done this thing? And when they enquired and asked, they said, Gideon the son of Joash hath done this thing.(KJV-1611) Jdg 6:29 Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa.(Creole-HT) ======= Judges 6:30 ============ Jdg 6:30 Then the men of the city said unto Joash, Bring out thy son, that he may die: because he hath cast down the altar of Baal, and because he hath cut down the grove that was by it.(KJV-1611) Jdg 6:30 Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la.(Creole-HT) ======= Judges 6:31 ============ Jdg 6:31 And Joash said unto all that stood against him, Will ye plead for Baal? will ye save him? he that will plead for him, let him be put to death whilst it is yet morning: if he be a god, let him plead for himself, because one hath cast down his altar.(KJV-1611) Jdg 6:31 Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze!(Creole-HT) ======= Judges 6:32 ============ Jdg 6:32 Therefore on that day he called him Jerubbaal, saying, Let Baal plead against him, because he hath thrown down his altar.(KJV-1611) Jdg 6:32 Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.(Creole-HT) ======= Judges 6:33 ============ Jdg 6:33 Then all the Midianites and the Amalekites and the children of the east were gathered together, and went over, and pitched in the valley of Jezreel.(KJV-1611) Jdg 6:33 Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.(Creole-HT) ======= Judges 6:34 ============ Jdg 6:34 But the Spirit of the LORD came upon Gideon, and he blew a trumpet; and Abiezer was gathered after him.(KJV-1611) Jdg 6:34 Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Judges 6:35 ============ Jdg 6:35 And he sent messengers throughout all Manasseh; who also was gathered after him: and he sent messengers unto Asher, and unto Zebulun, and unto Naphtali; and they came up to meet them.(KJV-1611) Jdg 6:35 Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Judges 6:36 ============ Jdg 6:36 And Gideon said unto God, If thou wilt save Israel by mine hand, as thou hast said,(KJV-1611) Jdg 6:36 Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la,(Creole-HT) ======= Judges 6:37 ============ Jdg 6:37 Behold, I will put a fleece of wool in the floor; and if the dew be on the fleece only, and it be dry upon all the earth beside, then shall I know that thou wilt save Israel by mine hand, as thou hast said.(KJV-1611) Jdg 6:37 men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 6:38 ============ Jdg 6:38 And it was so: for he rose up early on the morrow, and thrust the fleece together, and wringed the dew out of the fleece, a bowl full of water.(KJV-1611) Jdg 6:38 Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bòl.(Creole-HT) ======= Judges 6:39 ============ Jdg 6:39 And Gideon said unto God, Let not thine anger be hot against me, and I will speak but this once: let me prove, I pray thee, but this once with the fleece; let it now be dry only upon the fleece, and upon all the ground let there be dew.(KJV-1611) Jdg 6:39 Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.(Creole-HT) ======= Judges 6:40 ============ Jdg 6:40 And God did so that night: for it was dry upon the fleece only, and there was dew on all the ground.(KJV-1611) Jdg 6:40 Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.(Creole-HT) ======= Judges 7:1 ============ Jdg 7:1 Then Jerubbaal, who is Gideon, and all the people that were with him, rose up early, and pitched beside the well of Harod: so that the host of the Midianites were on the north side of them, by the hill of Moreh, in the valley.(KJV-1611) Jdg 7:1 Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.(Creole-HT) ======= Judges 7:2 ============ Jdg 7:2 And the LORD said unto Gideon, The people that are with thee are too many for me to give the Midianites into their hands, lest Israel vaunt themselves against me, saying, Mine own hand hath saved me.(KJV-1611) Jdg 7:2 Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 7:3 ============ Jdg 7:3 Now therefore go to, proclaim in the ears of the people, saying, Whosoever is fearful and afraid, let him return and depart early from mount Gilead. And there returned of the people twenty and two thousand; and there remained ten thousand.(KJV-1611) Jdg 7:3 Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil .(Creole-HT) ======= Judges 7:4 ============ Jdg 7:4 And the LORD said unto Gideon, The people are yet too many; bring them down unto the water, and I will try them for thee there: and it shall be, that of whom I say unto thee, This shall go with thee, the same shall go with thee; and of whomsoever I say unto thee, This shall not go with thee, the same shall not go.(KJV-1611) Jdg 7:4 Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.(Creole-HT) ======= Judges 7:5 ============ Jdg 7:5 So he brought down the people unto the water: and the LORD said unto Gideon, Every one that lappeth of the water with his tongue, as a dog lappeth, him shalt thou set by himself; likewise every one that boweth down upon his knees to drink.(KJV-1611) Jdg 7:5 Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Judges 7:6 ============ Jdg 7:6 And the number of them that lapped, putting their hand to their mouth, were three hundred men: but all the rest of the people bowed down upon their knees to drink water.(KJV-1611) Jdg 7:6 Te gen twasan gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo.(Creole-HT) ======= Judges 7:7 ============ Jdg 7:7 And the LORD said unto Gideon, By the three hundred men that lapped will I save you, and deliver the Midianites into thine hand: and let all the other people go every man unto his place.(KJV-1611) Jdg 7:7 Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.(Creole-HT) ======= Judges 7:8 ============ Jdg 7:8 So the people took victuals in their hand, and their trumpets: and he sent all the rest of Israel every man unto his tent, and retained those three hundred men: and the host of Midian was beneath him in the valley.(KJV-1611) Jdg 7:8 Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.(Creole-HT) ======= Judges 7:9 ============ Jdg 7:9 And it came to pass the same night, that the LORD said unto him, Arise, get thee down unto the host; for I have delivered it into thine hand.(KJV-1611) Jdg 7:9 Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou.(Creole-HT) ======= Judges 7:10 ============ Jdg 7:10 But if thou fear to go down, go thou with Phurah thy servant down to the host:(KJV-1611) Jdg 7:10 Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a.(Creole-HT) ======= Judges 7:11 ============ Jdg 7:11 And thou shalt hear what they say; and afterward shall thine hands be strengthened to go down unto the host. Then went he down with Phurah his servant unto the outside of the armed men that were in the host.(KJV-1611) Jdg 7:11 W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an.(Creole-HT) ======= Judges 7:12 ============ Jdg 7:12 And the Midianites and the Amalekites and all the children of the east lay along in the valley like grasshoppers for multitude; and their camels were without number, as the sand by the sea side for multitude.(KJV-1611) Jdg 7:12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Judges 7:13 ============ Jdg 7:13 And when Gideon was come, behold, there was a man that told a dream unto his fellow, and said, Behold, I dreamed a dream, and, lo, a cake of barley bread tumbled into the host of Midian, and came unto a tent, and smote it that it fell, and overturned it, that the tent lay along.(KJV-1611) Jdg 7:13 Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.(Creole-HT) ======= Judges 7:14 ============ Jdg 7:14 And his fellow answered and said, This is nothing else save the sword of Gideon the son of Joash, a man of Israel: for into his hand hath God delivered Midian, and all the host.(KJV-1611) Jdg 7:14 Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.(Creole-HT) ======= Judges 7:15 ============ Jdg 7:15 And it was so, when Gideon heard the telling of the dream, and the interpretation thereof, that he worshipped, and returned into the host of Israel, and said, Arise; for the LORD hath delivered into your hand the host of Midian.(KJV-1611) Jdg 7:15 Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.(Creole-HT) ======= Judges 7:16 ============ Jdg 7:16 And he divided the three hundred men into three companies, and he put a trumpet in every man's hand, with empty pitchers, and lamps within the pitchers.(KJV-1611) Jdg 7:16 Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.(Creole-HT) ======= Judges 7:17 ============ Jdg 7:17 And he said unto them, Look on me, and do likewise: and, behold, when I come to the outside of the camp, it shall be that, as I do, so shall ye do.(KJV-1611) Jdg 7:17 Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou.(Creole-HT) ======= Judges 7:18 ============ Jdg 7:18 When I blow with a trumpet, I and all that are with me, then blow ye the trumpets also on every side of all the camp, and say, The sword of the LORD, and of Gideon.(KJV-1611) Jdg 7:18 N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon!(Creole-HT) ======= Judges 7:19 ============ Jdg 7:19 So Gideon, and the hundred men that were with him, came unto the outside of the camp in the beginning of the middle watch; and they had but newly set the watch: and they blew the trumpets, and brake the pitchers that were in their hands.(KJV-1611) Jdg 7:19 Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.(Creole-HT) ======= Judges 7:20 ============ Jdg 7:20 And the three companies blew the trumpets, and brake the pitchers, and held the lamps in their left hands, and the trumpets in their right hands to blow withal: and they cried, The sword of the LORD, and of Gideon.(KJV-1611) Jdg 7:20 Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!(Creole-HT) ======= Judges 7:21 ============ Jdg 7:21 And they stood every man in his place round about the camp; and all the host ran, and cried, and fled.(KJV-1611) Jdg 7:21 Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.(Creole-HT) ======= Judges 7:22 ============ Jdg 7:22 And the three hundred blew the trumpets, and the LORD set every man's sword against his fellow, even throughout all the host: and the host fled to Bethshittah in Zererath, and to the border of Abelmeholah, unto Tabbath.(KJV-1611) Jdg 7:22 Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.(Creole-HT) ======= Judges 7:23 ============ Jdg 7:23 And the men of Israel gathered themselves together out of Naphtali, and out of Asher, and out of all Manasseh, and pursued after the Midianites.(KJV-1611) Jdg 7:23 Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.(Creole-HT) ======= Judges 7:24 ============ Jdg 7:24 And Gideon sent messengers throughout all mount Ephraim, saying, come down against the Midianites, and take before them the waters unto Bethbarah and Jordan. Then all the men of Ephraim gathered themselves together, and took the waters unto Bethbarah and Jordan.(KJV-1611) Jdg 7:24 Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara.(Creole-HT) ======= Judges 7:25 ============ Jdg 7:25 And they took two princes of the Midianites, Oreb and Zeeb; and they slew Oreb upon the rock Oreb, and Zeeb they slew at the winepress of Zeeb, and pursued Midian, and brought the heads of Oreb and Zeeb to Gideon on the other side Jordan.(KJV-1611) Jdg 7:25 Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Judges 8:1 ============ Jdg 8:1 And the men of Ephraim said unto him, Why hast thou served us thus, that thou calledst us not, when thou wentest to fight with the Midianites? And they did chide with him sharply.(KJV-1611) Jdg 8:1 Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li.(Creole-HT) ======= Judges 8:2 ============ Jdg 8:2 And he said unto them, What have I done now in comparison of you? Is not the gleaning of the grapes of Ephraim better than the vintage of Abiezer?(KJV-1611) Jdg 8:2 Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè!(Creole-HT) ======= Judges 8:3 ============ Jdg 8:3 God hath delivered into your hands the princes of Midian, Oreb and Zeeb: and what was I able to do in comparison of you? Then their anger was abated toward him, when he had said that.(KJV-1611) Jdg 8:3 Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò.(Creole-HT) ======= Judges 8:4 ============ Jdg 8:4 And Gideon came to Jordan, and passed over, he, and the three hundred men that were with him, faint, yet pursuing them.(KJV-1611) Jdg 8:4 Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil.(Creole-HT) ======= Judges 8:5 ============ Jdg 8:5 And he said unto the men of Succoth, Give, I pray you, loaves of bread unto the people that follow me; for they be faint, and I am pursuing after Zebah and Zalmunna, kings of Midian.(KJV-1611) Jdg 8:5 Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:6 ============ Jdg 8:6 And the princes of Succoth said, Are the hands of Zebah and Zalmunna now in thine hand, that we should give bread unto thine army?(KJV-1611) Jdg 8:6 Men chèf lavil Soukòt yo di l' konsa: -Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou poko mete men sou Zebak ak Salmouna!(Creole-HT) ======= Judges 8:7 ============ Jdg 8:7 And Gideon said, Therefore when the LORD hath delivered Zebah and Zalmunna into mine hand, then I will tear your flesh with the thorns of the wilderness and with briers.(KJV-1611) Jdg 8:7 Jedeyon di yo: -Anhan! Se konsa! Bon! Lè Seyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann.(Creole-HT) ======= Judges 8:8 ============ Jdg 8:8 And he went up thence to Penuel, and spake unto them likewise: and the men of Penuel answered him as the men of Succoth had answered him.(KJV-1611) Jdg 8:8 Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:9 ============ Jdg 8:9 And he spake also unto the men of Penuel, saying, When I come again in peace, I will break down this tower.(KJV-1611) Jdg 8:9 Jedeyon di yo: -Mwen gen pou m' tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a.(Creole-HT) ======= Judges 8:10 ============ Jdg 8:10 Now Zebah and Zalmunna were in Karkor, and their hosts with them, about fifteen thousand men, all that were left of all the hosts of the children of the east: for there fell an hundred and twenty thousand men that drew sword.(KJV-1611) Jdg 8:10 Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil gason.(Creole-HT) ======= Judges 8:11 ============ Jdg 8:11 And Gideon went up by the way of them that dwelt in tents on the east of Nobah and Jogbehah, and smote the host; for the host was secure.(KJV-1611) Jdg 8:11 Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pa t' gen danje pou yo ankò.(Creole-HT) ======= Judges 8:12 ============ Jdg 8:12 And when Zebah and Zalmunna fled, he pursued after them, and took the two kings of Midian, Zebah and Zalmunna, and discomfited all the host.(KJV-1611) Jdg 8:12 Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak.(Creole-HT) ======= Judges 8:13 ============ Jdg 8:13 And Gideon the son of Joash returned from battle before the sun was up,(KJV-1611) Jdg 8:13 Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen soti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la.(Creole-HT) ======= Judges 8:14 ============ Jdg 8:14 And caught a young man of the men of Succoth, and enquired of him: and he described unto him the princes of Succoth, and the elders thereof, even threescore and seventeen men.(KJV-1611) Jdg 8:14 Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li keksyonnen l'. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon.(Creole-HT) ======= Judges 8:15 ============ Jdg 8:15 And he came unto the men of Succoth, and said, Behold Zebah and Zalmunna, with whom ye did upbraid me, saying, Are the hands of Zebah and Zalmunna now in thine hand, that we should give bread unto thy men that are weary?(KJV-1611) Jdg 8:15 Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Nou chonje jan nou te joure m' pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m' nou pa t' ka bay mesye m' yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pa t' ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande!(Creole-HT) ======= Judges 8:16 ============ Jdg 8:16 And he took the elders of the city, and thorns of the wilderness and briers, and with them he taught the men of Succoth.(KJV-1611) Jdg 8:16 Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat.(Creole-HT) ======= Judges 8:17 ============ Jdg 8:17 And he beat down the tower of Penuel, and slew the men of the city.(KJV-1611) Jdg 8:17 Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 8:18 ============ Jdg 8:18 Then said he unto Zebah and Zalmunna, What manner of men were they whom ye slew at Tabor? And they answered, As thou art, so were they; each one resembled the children of a king.(KJV-1611) Jdg 8:18 Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.(Creole-HT) ======= Judges 8:19 ============ Jdg 8:19 And he said, They were my brethren, even the sons of my mother: as the LORD liveth, if ye had saved them alive, I would not slay you.(KJV-1611) Jdg 8:19 Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou!(Creole-HT) ======= Judges 8:20 ============ Jdg 8:20 And he said unto Jether his firstborn, Up, and slay them. But the youth drew not his sword: for he feared, because he was yet a youth.(KJV-1611) Jdg 8:20 Epi li di Jetè, premye pitit gason l' lan: -Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l' nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou.(Creole-HT) ======= Judges 8:21 ============ Jdg 8:21 Then Zebah and Zalmunna said, Rise thou, and fall upon us: for as the man is, so is his strength. And Gideon arose, and slew Zebah and Zalmunna, and took away the ornaments that were on their camels' necks.(KJV-1611) Jdg 8:21 Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:22 ============ Jdg 8:22 Then the men of Israel said unto Gideon, Rule thou over us, both thou, and thy son, and thy son's son also: for thou hast delivered us from the hand of Midian.(KJV-1611) Jdg 8:22 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:23 ============ Jdg 8:23 And Gideon said unto them, I will not rule over you, neither shall my son rule over you: the LORD shall rule over you.(KJV-1611) Jdg 8:23 Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou.(Creole-HT) ======= Judges 8:24 ============ Jdg 8:24 And Gideon said unto them, I would desire a request of you, that ye would give me every man the earrings of his prey. (For they had golden earrings, because they were Ishmaelites.)(KJV-1611) Jdg 8:24 Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a.(Creole-HT) ======= Judges 8:25 ============ Jdg 8:25 And they answered, We will willingly give them. And they spread a garment, and did cast therein every man the earrings of his prey.(KJV-1611) Jdg 8:25 Moun pèp Izrayèl yo reponn li: -Se tout plezi nou pou n' ba ou yo! Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l' sou rad la.(Creole-HT) ======= Judges 8:26 ============ Jdg 8:26 And the weight of the golden earrings that he requested was a thousand and seven hundred shekels of gold; beside ornaments, and collars, and purple raiment that was on the kings of Midian, and beside the chains that were about their camels' necks.(KJV-1611) Jdg 8:26 Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:27 ============ Jdg 8:27 And Gideon made an ephod thereof, and put it in his city, even in Ophrah: and all Israel went thither a whoring after it: which thing became a snare unto Gideon, and to his house.(KJV-1611) Jdg 8:27 Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:28 ============ Jdg 8:28 Thus was Midian subdued before the children of Israel, so that they lifted up their heads no more. And the country was in quietness forty years in the days of Gideon.(KJV-1611) Jdg 8:28 Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri.(Creole-HT) ======= Judges 8:29 ============ Jdg 8:29 And Jerubbaal the son of Joash went and dwelt in his own house.(KJV-1611) Jdg 8:29 Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li.(Creole-HT) ======= Judges 8:30 ============ Jdg 8:30 And Gideon had threescore and ten sons of his body begotten: for he had many wives.(KJV-1611) Jdg 8:30 Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit.(Creole-HT) ======= Judges 8:31 ============ Jdg 8:31 And his concubine that was in Shechem, she also bare him a son, whose name he called Abimelech.(KJV-1611) Jdg 8:31 Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk.(Creole-HT) ======= Judges 8:32 ============ Jdg 8:32 And Gideon the son of Joash died in a good old age, and was buried in the sepulchre of Joash his father, in Ophrah of the Abiezrites.(KJV-1611) Jdg 8:32 Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.(Creole-HT) ======= Judges 8:33 ============ Jdg 8:33 And it came to pass, as soon as Gideon was dead, that the children of Israel turned again, and went a whoring after Baalim, and made Baalberith their god.(KJV-1611) Jdg 8:33 Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.(Creole-HT) ======= Judges 8:34 ============ Jdg 8:34 And the children of Israel remembered not the LORD their God, who had delivered them out of the hands of all their enemies on every side:(KJV-1611) Jdg 8:34 Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.(Creole-HT) ======= Judges 8:35 ============ Jdg 8:35 Neither shewed they kindness to the house of Jerubbaal, namely, Gideon, according to all the goodness which he had shewed unto Israel.(KJV-1611) Jdg 8:35 Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 9:1 ============ Jdg 9:1 And Abimelech the son of Jerubbaal went to Shechem unto his mother's brethren, and communed with them, and with all the family of the house of his mother's father, saying,(KJV-1611) Jdg 9:1 Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:(Creole-HT) ======= Judges 9:2 ============ Jdg 9:2 Speak, I pray you, in the ears of all the men of Shechem, Whether is better for you, either that all the sons of Jerubbaal, which are threescore and ten persons, reign over you, or that one reign over you? remember also that I am your bone and your flesh.(KJV-1611) Jdg 9:2 -Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!(Creole-HT) ======= Judges 9:3 ============ Jdg 9:3 And his mother's brethren spake of him in the ears of all the men of Shechem all these words: and their hearts inclined to follow Abimelech; for they said, He is our brother.(KJV-1611) Jdg 9:3 Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye.(Creole-HT) ======= Judges 9:4 ============ Jdg 9:4 And they gave him threescore and ten pieces of silver out of the house of Baalberith, wherewith Abimelech hired vain and light persons, which followed him.(KJV-1611) Jdg 9:4 Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l'.(Creole-HT) ======= Judges 9:5 ============ Jdg 9:5 And he went unto his father's house at Ophrah, and slew his brethren the sons of Jerubbaal, being threescore and ten persons, upon one stone: notwithstanding yet Jotham the youngest son of Jerubbaal was left; for he hid himself.(KJV-1611) Jdg 9:5 L' ale lakay papa l' nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l' yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t' mouri.(Creole-HT) ======= Judges 9:6 ============ Jdg 9:6 And all the men of Shechem gathered together, and all the house of Millo, and went, and made Abimelech king, by the plain of the pillar that was in Shechem.(KJV-1611) Jdg 9:6 Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.(Creole-HT) ======= Judges 9:7 ============ Jdg 9:7 And when they told it to Jotham, he went and stood in the top of mount Gerizim, and lifted up his voice, and cried, and said unto them, Hearken unto me, ye men of Shechem, that God may hearken unto you.(KJV-1611) Jdg 9:7 Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.(Creole-HT) ======= Judges 9:8 ============ Jdg 9:8 The trees went forth on a time to anoint a king over them; and they said unto the olive tree, Reign thou over us.(KJV-1611) Jdg 9:8 Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvènen nou non!(Creole-HT) ======= Judges 9:9 ============ Jdg 9:9 But the olive tree said unto them, Should I leave my fatness, wherewith by me they honour God and man, and go to be promoted over the trees?(KJV-1611) Jdg 9:9 Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m' al chèf sou tout pyebwa!(Creole-HT) ======= Judges 9:10 ============ Jdg 9:10 And the trees said to the fig tree, Come thou, and reign over us.(KJV-1611) Jdg 9:10 Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non!(Creole-HT) ======= Judges 9:11 ============ Jdg 9:11 But the fig tree said unto them, Should I forsake my sweetness, and my good fruit, and go to be promoted over the trees?(KJV-1611) Jdg 9:11 Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m' ale chèf sou tout pyebwa!(Creole-HT) ======= Judges 9:12 ============ Jdg 9:12 Then said the trees unto the vine, Come thou, and reign over us.(KJV-1611) Jdg 9:12 Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non!(Creole-HT) ======= Judges 9:13 ============ Jdg 9:13 And the vine said unto them, Should I leave my wine, which cheereth God and man, and go to be promoted over the trees?(KJV-1611) Jdg 9:13 Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m' al chèf sou tout pyebwa!(Creole-HT) ======= Judges 9:14 ============ Jdg 9:14 Then said all the trees unto the bramble, Come thou, and reign over us.(KJV-1611) Jdg 9:14 Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non!(Creole-HT) ======= Judges 9:15 ============ Jdg 9:15 And the bramble said unto the trees, If in truth ye anoint me king over you, then come and put your trust in my shadow: and if not, let fire come out of the bramble, and devour the cedars of Lebanon.(KJV-1611) Jdg 9:15 Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!(Creole-HT) ======= Judges 9:16 ============ Jdg 9:16 Now therefore, if ye have done truly and sincerely, in that ye have made Abimelech king, and if ye have dealt well with Jerubbaal and his house, and have done unto him according to the deserving of his hands;(KJV-1611) Jdg 9:16 Koulye a, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l' yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou?(Creole-HT) ======= Judges 9:17 ============ Jdg 9:17 (For my father fought for you, and adventured his life far, and delivered you out of the hand of Midian:(KJV-1611) Jdg 9:17 Chonje jan papa m' te goumen pou nou, jan li te riske lavi l' pou nou, pou l' te ka delivre nou anba men moun Madyan yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:18 ============ Jdg 9:18 And ye are risen up against my father's house this day, and have slain his sons, threescore and ten persons, upon one stone, and have made Abimelech, the son of his maidservant, king over the men of Shechem, because he is your brother;)(KJV-1611) Jdg 9:18 Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m' yo. Nou touye swasanndis pitit gason l' yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l' wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye?(Creole-HT) ======= Judges 9:19 ============ Jdg 9:19 If ye then have dealt truly and sincerely with Jerubbaal and with his house this day, then rejoice ye in Abimelech, and let him also rejoice in you:(KJV-1611) Jdg 9:19 Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l' yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou!(Creole-HT) ======= Judges 9:20 ============ Jdg 9:20 But if not, let fire come out from Abimelech, and devour the men of Shechem, and the house of Millo; and let fire come out from the men of Shechem, and from the house of Millo, and devour Abimelech.(KJV-1611) Jdg 9:20 Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk!(Creole-HT) ======= Judges 9:21 ============ Jdg 9:21 And Jotham ran away, and fled, and went to Beer, and dwelt there, for fear of Abimelech his brother.(KJV-1611) Jdg 9:21 Apre sa, Jotam kouri met deyò. L' al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l' la.(Creole-HT) ======= Judges 9:22 ============ Jdg 9:22 When Abimelech had reigned three years over Israel,(KJV-1611) Jdg 9:22 Abimelèk gouvènen pèp Izrayèl la pandan twazan.(Creole-HT) ======= Judges 9:23 ============ Jdg 9:23 Then God sent an evil spirit between Abimelech and the men of Shechem; and the men of Shechem dealt treacherously with Abimelech:(KJV-1611) Jdg 9:23 Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk.(Creole-HT) ======= Judges 9:24 ============ Jdg 9:24 That the cruelty done to the threescore and ten sons of Jerubbaal might come, and their blood be laid upon Abimelech their brother, which slew them; and upon the men of Shechem, which aided him in the killing of his brethren.(KJV-1611) Jdg 9:24 Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:25 ============ Jdg 9:25 And the men of Shechem set liers in wait for him in the top of the mountains, and they robbed all that came along that way by them: and it was told Abimelech.(KJV-1611) Jdg 9:25 Grannèg lavil Sichèm yo mete anbiskad sou tèt mòn yo ap veye Abimelèk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vòlò tout moun ki t'ap pase sou chemen an bò kote yo. Abimelèk vin konn sa.(Creole-HT) ======= Judges 9:26 ============ Jdg 9:26 And Gaal the son of Ebed came with his brethren, and went over to Shechem: and the men of Shechem put their confidence in him.(KJV-1611) Jdg 9:26 Gaal, pitit gason Ebèd la, vin rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Grannèg lavil Sichèm yo fè msye konfyans.(Creole-HT) ======= Judges 9:27 ============ Jdg 9:27 And they went out into the fields, and gathered their vineyards, and trode the grapes, and made merry, and went into the house of their god, and did eat and drink, and cursed Abimelech.(KJV-1611) Jdg 9:27 Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.(Creole-HT) ======= Judges 9:28 ============ Jdg 9:28 And Gaal the son of Ebed said, Who is Abimelech, and who is Shechem, that we should serve him? is not he the son of Jerubbaal? and Zebul his officer? serve the men of Hamor the father of Shechem: for why should we serve him?(KJV-1611) Jdg 9:28 Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n' sèvi l'? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi.(Creole-HT) ======= Judges 9:29 ============ Jdg 9:29 And would to God this people were under my hand! then would I remove Abimelech. And he said to Abimelech, Increase thine army, and come out.(KJV-1611) Jdg 9:29 Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!(Creole-HT) ======= Judges 9:30 ============ Jdg 9:30 And when Zebul the ruler of the city heard the words of Gaal the son of Ebed, his anger was kindled.(KJV-1611) Jdg 9:30 Zeboul te chèf lavil Sichèm. Lè li tande tout pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li fache anpil.(Creole-HT) ======= Judges 9:31 ============ Jdg 9:31 And he sent messengers unto Abimelech privily, saying, Behold, Gaal the son of Ebed and his brethren be come to Shechem; and, behold, they fortify the city against thee.(KJV-1611) Jdg 9:31 Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Y'ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre.(Creole-HT) ======= Judges 9:32 ============ Jdg 9:32 Now therefore up by night, thou and the people that is with thee, and lie in wait in the field:(KJV-1611) Jdg 9:32 Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a.(Creole-HT) ======= Judges 9:33 ============ Jdg 9:33 And it shall be, that in the morning, as soon as the sun is up, thou shalt rise early, and set upon the city: and, behold, when he and the people that is with him come out against thee, then mayest thou do to them as thou shalt find occasion.(KJV-1611) Jdg 9:33 Nan maten, lè solèy fenk leve, w'a parèt, w'a tonbe sou lavil la pou atake l'. Lè Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w'a kraze l' ak tout fòs ou.(Creole-HT) ======= Judges 9:34 ============ Jdg 9:34 And Abimelech rose up, and all the people that were with him, by night, and they laid wait against Shechem in four companies.(KJV-1611) Jdg 9:34 Se konsa, Abimelèk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fè kat gwoup, y' al kache andeyò limit lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 9:35 ============ Jdg 9:35 And Gaal the son of Ebed went out, and stood in the entering of the gate of the city: and Abimelech rose up, and the people that were with him, from lying in wait.(KJV-1611) Jdg 9:35 Gaal, pitit gason Ebèd la, soti, l' al kanpe bò pòtay lavil la. Lè sa a, Abimelèk ak moun pa l' yo soti nan kachèt yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:36 ============ Jdg 9:36 And when Gaal saw the people, he said to Zebul, Behold, there come people down from the top of the mountains. And Zebul said unto him, Thou seest the shadow of the mountains as if they were men.(KJV-1611) Jdg 9:36 Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun!(Creole-HT) ======= Judges 9:37 ============ Jdg 9:37 And Gaal spake again, and said, See there come people down by the middle of the land, and another company come along by the plain of Meonenim.(KJV-1611) Jdg 9:37 Gaal di l' ankò: -Gade! Men yon bann moun k'ap desann Mòn Lonbrit latè a. Men yon lòt ankò k'ap vini sou chemen Pye Chenn moun k'ap li zetwal yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:38 ============ Jdg 9:38 Then said Zebul unto him, Where is now thy mouth, wherewith thou saidst, Who is Abimelech, that we should serve him? is not this the people that thou hast despised? go out, I pray now, and fight with them.(KJV-1611) Jdg 9:38 Lè sa a, Zeboul di l' konsa: -Kote bèl pawòl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t'ap mande ki moun Abimelèk ye konsa pou n'ap sèvi l'? Apa moun ou t'ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo!(Creole-HT) ======= Judges 9:39 ============ Jdg 9:39 And Gaal went out before the men of Shechem, and fought with Abimelech.(KJV-1611) Jdg 9:39 Gaal pran devan, li mennen grannèg lavil Sichèm yo pou y' al goumen ak Abimelèk.(Creole-HT) ======= Judges 9:40 ============ Jdg 9:40 And Abimelech chased him, and he fled before him, and many were overthrown and wounded, even unto the entering of the gate.(KJV-1611) Jdg 9:40 Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 9:41 ============ Jdg 9:41 And Abimelech dwelt at Arumah: and Zebul thrust out Gaal and his brethren, that they should not dwell in Shechem.(KJV-1611) Jdg 9:41 Apre sa, Abimelèk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyò ak tout frè l' yo, kifè yo pa t' kapab rete lavil Sichèm ankò.(Creole-HT) ======= Judges 9:42 ============ Jdg 9:42 And it came to pass on the morrow, that the people went out into the field; and they told Abimelech.(KJV-1611) Jdg 9:42 Nan denmen, moun lavil Sichèm yo fè lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelèk sa.(Creole-HT) ======= Judges 9:43 ============ Jdg 9:43 And he took the people, and divided them into three companies, and laid wait in the field, and looked, and, behold, the people were come forth out of the city; and he rose up against them, and smote them.(KJV-1611) Jdg 9:43 Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l' al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:44 ============ Jdg 9:44 And Abimelech, and the company that was with him, rushed forward, and stood in the entering of the gate of the city: and the two other companies ran upon all the people that were in the fields, and slew them.(KJV-1611) Jdg 9:44 Abimelèk ak gwoup li a kouri devan, y' al rete devan pòtay lavil la, pandan de lòt gwoup yo menm t'ap atake moun ki nan jaden yo, yo t'ap touye yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:45 ============ Jdg 9:45 And Abimelech fought against the city all that day; and he took the city, and slew the people that was therein, and beat down the city, and sowed it with salt.(KJV-1611) Jdg 9:45 Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 9:46 ============ Jdg 9:46 And when all the men of the tower of Shechem heard that, they entered into an hold of the house of the god Berith.(KJV-1611) Jdg 9:46 Lè tout grannèg ki rete nan gwo fò won Sichèm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fò tanp Baal-Berit la.(Creole-HT) ======= Judges 9:47 ============ Jdg 9:47 And it was told Abimelech, that all the men of the tower of Shechem were gathered together.(KJV-1611) Jdg 9:47 Y' al di Abimelèk tout grannèg yo te sanble la.(Creole-HT) ======= Judges 9:48 ============ Jdg 9:48 And Abimelech gat him up to mount Zalmon, he and all the people that were with him; and Abimelech took an axe in his hand, and cut down a bough from the trees, and took it, and laid it on his shoulder, and said unto the people that were with him, What ye have seen me do, make haste, and do as I have done.(KJV-1611) Jdg 9:48 Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Judges 9:49 ============ Jdg 9:49 And all the people likewise cut down every man his bough, and followed Abimelech, and put them to the hold, and set the hold on fire upon them; so that all the men of the tower of Shechem died also, about a thousand men and women.(KJV-1611) Jdg 9:49 Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.(Creole-HT) ======= Judges 9:50 ============ Jdg 9:50 Then went Abimelech to Thebez, and encamped against Thebez, and took it.(KJV-1611) Jdg 9:50 Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l' epi li pran l'.(Creole-HT) ======= Judges 9:51 ============ Jdg 9:51 But there was a strong tower within the city, and thither fled all the men and women, and all they of the city, and shut it to them, and gat them up to the top of the tower.(KJV-1611) Jdg 9:51 Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a.(Creole-HT) ======= Judges 9:52 ============ Jdg 9:52 And Abimelech came unto the tower, and fought against it, and went hard unto the door of the tower to burn it with fire.(KJV-1611) Jdg 9:52 Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a.(Creole-HT) ======= Judges 9:53 ============ Jdg 9:53 And a certain woman cast a piece of a millstone upon Abimelech's head, and all to brake his skull.(KJV-1611) Jdg 9:53 Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.(Creole-HT) ======= Judges 9:54 ============ Jdg 9:54 Then he called hastily unto the young man his armourbearer, and said unto him, Draw thy sword, and slay me, that men say not of me, A women slew him. And his young man thrust him through, and he died.(KJV-1611) Jdg 9:54 Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa jenn gason an pèse l' pak an pak, epi li mouri.(Creole-HT) ======= Judges 9:55 ============ Jdg 9:55 And when the men of Israel saw that Abimelech was dead, they departed every man unto his place.(KJV-1611) Jdg 9:55 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Abimelèk mouri, yo tout al lakay yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:56 ============ Jdg 9:56 Thus God rendered the wickedness of Abimelech, which he did unto his father, in slaying his seventy brethren:(KJV-1611) Jdg 9:56 Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l' la, lè li te touye swasanndis frè l' yo.(Creole-HT) ======= Judges 9:57 ============ Jdg 9:57 And all the evil of the men of Shechem did God render upon their heads: and upon them came the curse of Jotham the son of Jerubbaal.(KJV-1611) Jdg 9:57 Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.(Creole-HT) ======= Judges 10:1 ============ Jdg 10:1 And after Abimelech there arose to defend Israel Tola the son of Puah, the son of Dodo, a man of Issachar; and he dwelt in Shamir in mount Ephraim.(KJV-1611) Jdg 10:1 Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Judges 10:2 ============ Jdg 10:2 And he judged Israel twenty and three years, and died, and was buried in Shamir.(KJV-1611) Jdg 10:2 Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami.(Creole-HT) ======= Judges 10:3 ============ Jdg 10:3 And after him arose Jair, a Gileadite, and judged Israel twenty and two years.(KJV-1611) Jdg 10:3 Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan.(Creole-HT) ======= Judges 10:4 ============ Jdg 10:4 And he had thirty sons that rode on thirty ass colts, and they had thirty cities, which are called Havothjair unto this day, which are in the land of Gilead.(KJV-1611) Jdg 10:4 Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi.(Creole-HT) ======= Judges 10:5 ============ Jdg 10:5 And Jair died, and was buried in Camon.(KJV-1611) Jdg 10:5 Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon.(Creole-HT) ======= Judges 10:6 ============ Jdg 10:6 And the children of Israel did evil again in the sight of the LORD, and served Baalim, and Ashtaroth, and the gods of Syria, and the gods of Zidon, and the gods of Moab, and the gods of the children of Ammon, and the gods of the Philistines, and forsook the LORD, and served not him.(KJV-1611) Jdg 10:6 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.(Creole-HT) ======= Judges 10:7 ============ Jdg 10:7 And the anger of the LORD was hot against Israel, and he sold them into the hands of the Philistines, and into the hands of the children of Ammon.(KJV-1611) Jdg 10:7 Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.(Creole-HT) ======= Judges 10:8 ============ Jdg 10:8 And that year they vexed and oppressed the children of Israel: eighteen years, all the children of Israel that were on the other side Jordan in the land of the Amorites, which is in Gilead.(KJV-1611) Jdg 10:8 Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a.(Creole-HT) ======= Judges 10:9 ============ Jdg 10:9 Moreover the children of Ammon passed over Jordan to fight also against Judah, and against Benjamin, and against the house of Ephraim; so that Israel was sore distressed.(KJV-1611) Jdg 10:9 Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Judges 10:10 ============ Jdg 10:10 And the children of Israel cried unto the LORD, saying, We have sinned against thee, both because we have forsaken our God, and also served Baalim.(KJV-1611) Jdg 10:10 Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo.(Creole-HT) ======= Judges 10:11 ============ Jdg 10:11 And the LORD said unto the children of Israel, Did not I deliver you from the Egyptians, and from the Amorites, from the children of Ammon, and from the Philistines?(KJV-1611) Jdg 10:11 Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo,(Creole-HT) ======= Judges 10:12 ============ Jdg 10:12 The Zidonians also, and the Amalekites, and the Maonites, did oppress you; and ye cried to me, and I delivered you out of their hand.(KJV-1611) Jdg 10:12 moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a?(Creole-HT) ======= Judges 10:13 ============ Jdg 10:13 Yet ye have forsaken me, and served other gods: wherefore I will deliver you no more.(KJV-1611) Jdg 10:13 Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.(Creole-HT) ======= Judges 10:14 ============ Jdg 10:14 Go and cry unto the gods which ye have chosen; let them deliver you in the time of your tribulation.(KJV-1611) Jdg 10:14 Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka!(Creole-HT) ======= Judges 10:15 ============ Jdg 10:15 And the children of Israel said unto the LORD, We have sinned: do thou unto us whatsoever seemeth good unto thee; deliver us only, we pray thee, this day.(KJV-1611) Jdg 10:15 Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!(Creole-HT) ======= Judges 10:16 ============ Jdg 10:16 And they put away the strange gods from among them, and served the LORD: and his soul was grieved for the misery of Israel.(KJV-1611) Jdg 10:16 Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.(Creole-HT) ======= Judges 10:17 ============ Jdg 10:17 Then the children of Ammon were gathered together, and encamped in Gilead. And the children of Israel assembled themselves together, and encamped in Mizpeh.(KJV-1611) Jdg 10:17 Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa.(Creole-HT) ======= Judges 10:18 ============ Jdg 10:18 And the people and princes of Gilead said one to another, What man is he that will begin to fight against the children of Ammon? he shall be head over all the inhabitants of Gilead.(KJV-1611) Jdg 10:18 Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!(Creole-HT) ======= Judges 11:1 ============ Jdg 11:1 Now Jephthah the Gileadite was a mighty man of valour, and he was the son of an harlot: and Gilead begat Jephthah.(KJV-1611) Jdg 11:1 Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sòlda. Papa l' te rele Galarad. Manman l' te yon jennès.(Creole-HT) ======= Judges 11:2 ============ Jdg 11:2 And Gilead's wife bare him sons; and his wife's sons grew up, and they thrust out Jephthah, and said unto him, Thou shalt not inherit in our father's house; for thou art the son of a strange woman.(KJV-1611) Jdg 11:2 Madan Galarad te fè lòt pitit gason pou mari l'. Men, lè pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, yo di l' konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennès.(Creole-HT) ======= Judges 11:3 ============ Jdg 11:3 Then Jephthah fled from his brethren, and dwelt in the land of Tob: and there were gathered vain men to Jephthah, and went out with him.(KJV-1611) Jdg 11:3 Jefte kouri met deyò pou frè l' yo, l' al rete nan peyi Tòb. Yon bann vòryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn soti avè l' al devalize moun.(Creole-HT) ======= Judges 11:4 ============ Jdg 11:4 And it came to pass in process of time, that the children of Ammon made war against Israel.(KJV-1611) Jdg 11:4 Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 11:5 ============ Jdg 11:5 And it was so, that when the children of Ammon made war against Israel, the elders of Gilead went to fetch Jephthah out of the land of Tob:(KJV-1611) Jdg 11:5 Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen.(Creole-HT) ======= Judges 11:6 ============ Jdg 11:6 And they said unto Jephthah, Come, and be our captain, that we may fight with the children of Ammon.(KJV-1611) Jdg 11:6 Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo.(Creole-HT) ======= Judges 11:7 ============ Jdg 11:7 And Jephthah said unto the elders of Gilead, Did not ye hate me, and expel me out of my father's house? and why are ye come unto me now when ye are in distress?(KJV-1611) Jdg 11:7 Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m'? Nou fòse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?(Creole-HT) ======= Judges 11:8 ============ Jdg 11:8 And the elders of Gilead said unto Jephthah, Therefore we turn again to thee now, that thou mayest go with us, and fight against the children of Ammon, and be our head over all the inhabitants of Gilead.(KJV-1611) Jdg 11:8 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.(Creole-HT) ======= Judges 11:9 ============ Jdg 11:9 And Jephthah said unto the elders of Gilead, If ye bring me home again to fight against the children of Ammon, and the LORD deliver them before me, shall I be your head?(KJV-1611) Jdg 11:9 Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi!(Creole-HT) ======= Judges 11:10 ============ Jdg 11:10 And the elders of Gilead said unto Jephthah, The LORD be witness between us, if we do not so according to thy words.(KJV-1611) Jdg 11:10 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.(Creole-HT) ======= Judges 11:11 ============ Jdg 11:11 Then Jephthah went with the elders of Gilead, and the people made him head and captain over them: and Jephthah uttered all his words before the LORD in Mizpeh.(KJV-1611) Jdg 11:11 Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chèf pou l' gouvènen yo, pou l' kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa.(Creole-HT) ======= Judges 11:12 ============ Jdg 11:12 And Jephthah sent messengers unto the king of the children of Ammon, saying, What hast thou to do with me, that thou art come against me to fight in my land?(KJV-1611) Jdg 11:12 Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?(Creole-HT) ======= Judges 11:13 ============ Jdg 11:13 And the king of the children of Ammon answered unto the messengers of Jephthah, Because Israel took away my land, when they came up out of Egypt, from Arnon even unto Jabbok, and unto Jordan: now therefore restore those lands again peaceably.(KJV-1611) Jdg 11:13 Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont.(Creole-HT) ======= Judges 11:14 ============ Jdg 11:14 And Jephthah sent messengers again unto the king of the children of Ammon:(KJV-1611) Jdg 11:14 Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo,(Creole-HT) ======= Judges 11:15 ============ Jdg 11:15 And said unto him, Thus saith Jephthah, Israel took not away the land of Moab, nor the land of the children of Ammon:(KJV-1611) Jdg 11:15 avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo.(Creole-HT) ======= Judges 11:16 ============ Jdg 11:16 But when Israel came up from Egypt, and walked through the wilderness unto the Red sea, and came to Kadesh;(KJV-1611) Jdg 11:16 Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès.(Creole-HT) ======= Judges 11:17 ============ Jdg 11:17 Then Israel sent messengers unto the king of Edom, saying, Let me, I pray thee, pass through thy land: but the king of Edom would not hearken thereto. And in like manner they sent unto the king of Moab: but he would not consent: and Israel abode in Kadesh.(KJV-1611) Jdg 11:17 Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès.(Creole-HT) ======= Judges 11:18 ============ Jdg 11:18 Then they went along through the wilderness, and compassed the land of Edom, and the land of Moab, and came by the east side of the land of Moab, and pitched on the other side of Arnon, but came not within the border of Moab: for Arnon was the border of Moab.(KJV-1611) Jdg 11:18 Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Judges 11:19 ============ Jdg 11:19 And Israel sent messengers unto Sihon king of the Amorites, the king of Heshbon; and Israel said unto him, Let us pass, we pray thee, through thy land into my place.(KJV-1611) Jdg 11:19 Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a.(Creole-HT) ======= Judges 11:20 ============ Jdg 11:20 But Sihon trusted not Israel to pass through his coast: but Sihon gathered all his people together, and pitched in Jahaz, and fought against Israel.(KJV-1611) Jdg 11:20 Men, Siyon pa t' fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 11:21 ============ Jdg 11:21 And the LORD God of Israel delivered Sihon and all his people into the hand of Israel, and they smote them: so Israel possessed all the land of the Amorites, the inhabitants of that country.(KJV-1611) Jdg 11:21 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan.(Creole-HT) ======= Judges 11:22 ============ Jdg 11:22 And they possessed all the coasts of the Amorites, from Arnon even unto Jabbok, and from the wilderness even unto Jordan.(KJV-1611) Jdg 11:22 Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Judges 11:23 ============ Jdg 11:23 So now the LORD God of Israel hath dispossessed the Amorites from before his people Israel, and shouldest thou possess it?(KJV-1611) Jdg 11:23 Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a.(Creole-HT) ======= Judges 11:24 ============ Jdg 11:24 Wilt not thou possess that which Chemosh thy god giveth thee to possess? So whomsoever the LORD our God shall drive out from before us, them will we possess.(KJV-1611) Jdg 11:24 Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou?(Creole-HT) ======= Judges 11:25 ============ Jdg 11:25 And now art thou any thing better than Balak the son of Zippor, king of Moab? did he ever strive against Israel, or did he ever fight against them,(KJV-1611) Jdg 11:25 Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou.(Creole-HT) ======= Judges 11:26 ============ Jdg 11:26 While Israel dwelt in Heshbon and her towns, and in Aroer and her towns, and in all the cities that be along by the coasts of Arnon, three hundred years? why therefore did ye not recover them within that time?(KJV-1611) Jdg 11:26 Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo?(Creole-HT) ======= Judges 11:27 ============ Jdg 11:27 Wherefore I have not sinned against thee, but thou doest me wrong to war against me: the LORD the Judge be judge this day between the children of Israel and the children of Ammon.(KJV-1611) Jdg 11:27 Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m' lè nou vin fè m' lagè. Se Seyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon!(Creole-HT) ======= Judges 11:28 ============ Jdg 11:28 Howbeit the king of the children of Ammon hearkened not unto the words of Jephthah which he sent him.(KJV-1611) Jdg 11:28 Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a.(Creole-HT) ======= Judges 11:29 ============ Jdg 11:29 Then the Spirit of the LORD came upon Jephthah, and he passed over Gilead, and Manasseh, and passed over Mizpeh of Gilead, and from Mizpeh of Gilead he passed over unto the children of Ammon.(KJV-1611) Jdg 11:29 Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.(Creole-HT) ======= Judges 11:30 ============ Jdg 11:30 And Jephthah vowed a vow unto the LORD, and said, If thou shalt without fail deliver the children of Ammon into mine hands,(KJV-1611) Jdg 11:30 Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',(Creole-HT) ======= Judges 11:31 ============ Jdg 11:31 Then it shall be, that whatsoever cometh forth of the doors of my house to meet me, when I return in peace from the children of Ammon, shall surely be the LORD's, and I will offer it up for a burnt offering.(KJV-1611) Jdg 11:31 m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou.(Creole-HT) ======= Judges 11:32 ============ Jdg 11:32 So Jephthah passed over unto the children of Ammon to fight against them; and the LORD delivered them into his hands.(KJV-1611) Jdg 11:32 Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'.(Creole-HT) ======= Judges 11:33 ============ Jdg 11:33 And he smote them from Aroer, even till thou come to Minnith, even twenty cities, and unto the plain of the vineyards, with a very great slaughter. Thus the children of Ammon were subdued before the children of Israel.(KJV-1611) Jdg 11:33 Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 11:34 ============ Jdg 11:34 And Jephthah came to Mizpeh unto his house, and, behold, his daughter came out to meet him with timbrels and with dances: and she was his only child; beside her he had neither son nor daughter.(KJV-1611) Jdg 11:34 Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.(Creole-HT) ======= Judges 11:35 ============ Jdg 11:35 And it came to pass, when he saw her, that he rent his clothes, and said, Alas, my daughter! thou hast brought me very low, and thou art one of them that trouble me: for I have opened my mouth unto the LORD, and I cannot go back.(KJV-1611) Jdg 11:35 Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'.(Creole-HT) ======= Judges 11:36 ============ Jdg 11:36 And she said unto him, My father, if thou hast opened thy mouth unto the LORD, do to me according to that which hath proceeded out of thy mouth; forasmuch as the LORD hath taken vengeance for thee of thine enemies, even of the children of Ammon.(KJV-1611) Jdg 11:36 Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m' sa ou te di w'ap fè m' lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo.(Creole-HT) ======= Judges 11:37 ============ Jdg 11:37 And she said unto her father, Let this thing be done for me: let me alone two months, that I may go up and down upon the mountains, and bewail my virginity, I and my fellows.(KJV-1611) Jdg 11:37 Apre sa li di papa l' konsa: -Yon sèl bagay m'ap mande ou! Ban m' yon ti delè de mwa pou m' al pwonmennen ansanm ak zanmi m' yo nan mòn yo pou m' al kriye, paske mwen pral mouri san m' pa marye.(Creole-HT) ======= Judges 11:38 ============ Jdg 11:38 And he said, Go. And he sent her away for two months: and she went with her companions, and bewailed her virginity upon the mountains.(KJV-1611) Jdg 11:38 Jefte kite l' ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l' yo ale nan mòn, y' al kriye paske li tapral mouri tifi.(Creole-HT) ======= Judges 11:39 ============ Jdg 11:39 And it came to pass at the end of two months, that she returned unto her father, who did with her according to his vow which he had vowed: and she knew no man. And it was a custom in Israel,(KJV-1611) Jdg 11:39 Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fè sa l' te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la,(Creole-HT) ======= Judges 11:40 ============ Jdg 11:40 That the daughters of Israel went yearly to lament the daughter of Jephthah the Gileadite four days in a year.(KJV-1611) Jdg 11:40 pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.(Creole-HT) ======= Judges 12:1 ============ Jdg 12:1 And the men of Ephraim gathered themselves together, and went northward, and said unto Jephthah, Wherefore passedst thou over to fight against the children of Ammon, and didst not call us to go with thee? we will burn thine house upon thee with fire.(KJV-1611) Jdg 12:1 Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.(Creole-HT) ======= Judges 12:2 ============ Jdg 12:2 And Jephthah said unto them, I and my people were at great strife with the children of Ammon; and when I called you, ye delivered me not out of their hands.(KJV-1611) Jdg 12:2 Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo.(Creole-HT) ======= Judges 12:3 ============ Jdg 12:3 And when I saw that ye delivered me not, I put my life in my hands, and passed over against the children of Ammon, and the LORD delivered them into my hand: wherefore then are ye come up unto me this day, to fight against me?(KJV-1611) Jdg 12:3 Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont?(Creole-HT) ======= Judges 12:4 ============ Jdg 12:4 Then Jephthah gathered together all the men of Gilead, and fought with Ephraim: and the men of Gilead smote Ephraim, because they said, Ye Gileadites are fugitives of Ephraim among the Ephraimites, and among the Manassites.(KJV-1611) Jdg 12:4 Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a!(Creole-HT) ======= Judges 12:5 ============ Jdg 12:5 And the Gileadites took the passages of Jordan before the Ephraimites: and it was so, that when those Ephraimites which were escaped said, Let me go over; that the men of Gilead said unto him, Art thou an Ephraimite? If he said, Nay;(KJV-1611) Jdg 12:5 Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non,(Creole-HT) ======= Judges 12:6 ============ Jdg 12:6 Then said they unto him, Say now Shibboleth: and he said Sibboleth: for he could not frame to pronounce it right. Then they took him, and slew him at the passages of Jordan: and there fell at that time of the Ephraimites forty and two thousand.(KJV-1611) Jdg 12:6 lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil moun nan branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Judges 12:7 ============ Jdg 12:7 And Jephthah judged Israel six years. Then died Jephthah the Gileadite, and was buried in one of the cities of Gilead.(KJV-1611) Jdg 12:7 Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= Judges 12:8 ============ Jdg 12:8 And after him Ibzan of Bethlehem judged Israel.(KJV-1611) Jdg 12:8 Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 12:9 ============ Jdg 12:9 And he had thirty sons, and thirty daughters, whom he sent abroad, and took in thirty daughters from abroad for his sons. And he judged Israel seven years.(KJV-1611) Jdg 12:9 Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan.(Creole-HT) ======= Judges 12:10 ============ Jdg 12:10 Then died Ibzan, and was buried at Bethlehem.(KJV-1611) Jdg 12:10 Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= Judges 12:11 ============ Jdg 12:11 And after him Elon, a Zebulonite, judged Israel; and he judged Israel ten years.(KJV-1611) Jdg 12:11 Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan.(Creole-HT) ======= Judges 12:12 ============ Jdg 12:12 And Elon the Zebulonite died, and was buried in Aijalon in the country of Zebulun.(KJV-1611) Jdg 12:12 Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon.(Creole-HT) ======= Judges 12:13 ============ Jdg 12:13 And after him Abdon the son of Hillel, a Pirathonite, judged Israel.(KJV-1611) Jdg 12:13 Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 12:14 ============ Jdg 12:14 And he had forty sons and thirty nephews, that rode on threescore and ten ass colts: and he judged Israel eight years.(KJV-1611) Jdg 12:14 Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan.(Creole-HT) ======= Judges 12:15 ============ Jdg 12:15 And Abdon the son of Hillel the Pirathonite died, and was buried in Pirathon in the land of Ephraim, in the mount of the Amalekites.(KJV-1611) Jdg 12:15 Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.(Creole-HT) ======= Judges 13:1 ============ Jdg 13:1 And the children of Israel did evil again in the sight of the LORD; and the LORD delivered them into the hand of the Philistines forty years.(KJV-1611) Jdg 13:1 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.(Creole-HT) ======= Judges 13:2 ============ Jdg 13:2 And there was a certain man of Zorah, of the family of the Danites, whose name was Manoah; and his wife was barren, and bare not.(KJV-1611) Jdg 13:2 Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit.(Creole-HT) ======= Judges 13:3 ============ Jdg 13:3 And the angel of the LORD appeared unto the woman, and said unto her, Behold now, thou art barren, and bearest not: but thou shalt conceive, and bear a son.(KJV-1611) Jdg 13:3 Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Judges 13:4 ============ Jdg 13:4 Now therefore beware, I pray thee, and drink not wine nor strong drink, and eat not any unclean thing:(KJV-1611) Jdg 13:4 Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.(Creole-HT) ======= Judges 13:5 ============ Jdg 13:5 For, lo, thou shalt conceive, and bear a son; and no razor shall come on his head: for the child shall be a Nazarite unto God from the womb: and he shall begin to deliver Israel out of the hand of the Philistines.(KJV-1611) Jdg 13:5 Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= Judges 13:6 ============ Jdg 13:6 Then the woman came and told her husband, saying, A man of God came unto me, and his countenance was like the countenance of an angel of God, very terrible: but I asked him not whence he was, neither told he me his name:(KJV-1611) Jdg 13:6 Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.(Creole-HT) ======= Judges 13:7 ============ Jdg 13:7 But he said unto me, Behold, thou shalt conceive, and bear a son; and now drink no wine nor strong drink, neither eat any unclean thing: for the child shall be a Nazarite to God from the womb to the day of his death.(KJV-1611) Jdg 13:7 Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri.(Creole-HT) ======= Judges 13:8 ============ Jdg 13:8 Then Manoah intreated the LORD, and said, O my Lord, let the man of God which thou didst send come again unto us, and teach us what we shall do unto the child that shall be born.(KJV-1611) Jdg 13:8 Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.(Creole-HT) ======= Judges 13:9 ============ Jdg 13:9 And God hearkened to the voice of Manoah; and the angel of God came again unto the woman as she sat in the field: but Manoah her husband was not with her.(KJV-1611) Jdg 13:9 Bondye fè sa Manoak te mande l' la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t' avè l'.(Creole-HT) ======= Judges 13:10 ============ Jdg 13:10 And the woman made haste, and ran, and shewed her husband, and said unto him, Behold, the man hath appeared unto me, that came unto me the other day.(KJV-1611) Jdg 13:10 Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m' lòt jou a parèt devan m' ankò.(Creole-HT) ======= Judges 13:11 ============ Jdg 13:11 And Manoah arose, and went after his wife, and came to the man, and said unto him, Art thou the man that spakest unto the woman? And he said, I am.(KJV-1611) Jdg 13:11 Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen.(Creole-HT) ======= Judges 13:12 ============ Jdg 13:12 And Manoah said, Now let thy words come to pass. How shall we order the child, and how shall we do unto him?(KJV-1611) Jdg 13:12 -Manoak di l': -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fè ak sa pou l' pa fè?(Creole-HT) ======= Judges 13:13 ============ Jdg 13:13 And the angel of the LORD said unto Manoah, Of all that I said unto the woman let her beware.(KJV-1611) Jdg 13:13 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l' fè a.(Creole-HT) ======= Judges 13:14 ============ Jdg 13:14 She may not eat of any thing that cometh of the vine, neither let her drink wine or strong drink, nor eat any unclean thing: all that I commanded her let her observe.(KJV-1611) Jdg 13:14 Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l' fè a.(Creole-HT) ======= Judges 13:15 ============ Jdg 13:15 And Manoah said unto the angel of the LORD, I pray thee, let us detain thee, until we shall have made ready a kid for thee.(KJV-1611) Jdg 13:15 Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou.(Creole-HT) ======= Judges 13:16 ============ Jdg 13:16 And the angel of the LORD said unto Manoah, Though thou detain me, I will not eat of thy bread: and if thou wilt offer a burnt offering, thou must offer it unto the LORD. For Manoah knew not that he was an angel of the LORD.(KJV-1611) Jdg 13:16 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t' ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l'.(Creole-HT) ======= Judges 13:17 ============ Jdg 13:17 And Manoah said unto the angel of the LORD, What is thy name, that when thy sayings come to pass we may do thee honour?(KJV-1611) Jdg 13:17 Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.(Creole-HT) ======= Judges 13:18 ============ Jdg 13:18 And the angel of the LORD said unto him, Why askest thou thus after my name, seeing it is secret?(KJV-1611) Jdg 13:18 Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy.(Creole-HT) ======= Judges 13:19 ============ Jdg 13:19 So Manoah took a kid with a meat offering, and offered it upon a rock unto the LORD: and the angel did wonderously; and Manoah and his wife looked on.(KJV-1611) Jdg 13:19 Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade.(Creole-HT) ======= Judges 13:20 ============ Jdg 13:20 For it came to pass, when the flame went up toward heaven from off the altar, that the angel of the LORD ascended in the flame of the altar. And Manoah and his wife looked on it, and fell on their faces to the ground.(KJV-1611) Jdg 13:20 Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.(Creole-HT) ======= Judges 13:21 ============ Jdg 13:21 But the angel of the LORD did no more appear to Manoah and to his wife. Then Manoah knew that he was an angel of the LORD.(KJV-1611) Jdg 13:21 Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyè a ki te parèt devan yo a.(Creole-HT) ======= Judges 13:22 ============ Jdg 13:22 And Manoah said unto his wife, We shall surely die, because we have seen God.(KJV-1611) Jdg 13:22 Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!(Creole-HT) ======= Judges 13:23 ============ Jdg 13:23 But his wife said unto him, If the LORD were pleased to kill us, he would not have received a burnt offering and a meat offering at our hands, neither would he have shewed us all these things, nor would as at this time have told us such things as these.(KJV-1611) Jdg 13:23 Madanm lan di l': -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= Judges 13:24 ============ Jdg 13:24 And the woman bare a son, and called his name Samson: and the child grew, and the LORD blessed him.(KJV-1611) Jdg 13:24 Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l'.(Creole-HT) ======= Judges 13:25 ============ Jdg 13:25 And the Spirit of the LORD began to move him at times in the camp of Dan between Zorah and Eshtaol.(KJV-1611) Jdg 13:25 Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.(Creole-HT) ======= Judges 14:1 ============ Jdg 14:1 And Samson went down to Timnath, and saw a woman in Timnath of the daughters of the Philistines.(KJV-1611) Jdg 14:1 Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li wè yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen.(Creole-HT) ======= Judges 14:2 ============ Jdg 14:2 And he came up, and told his father and his mother, and said, I have seen a woman in Timnath of the daughters of the Philistines: now therefore get her for me to wife.(KJV-1611) Jdg 14:2 Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.(Creole-HT) ======= Judges 14:3 ============ Jdg 14:3 Then his father and his mother said unto him, Is there never a woman among the daughters of thy brethren, or among all my people, that thou goest to take a wife of the uncircumcised Philistines? And Samson said unto his father, Get her for me; for she pleaseth me well.(KJV-1611) Jdg 14:3 Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.(Creole-HT) ======= Judges 14:4 ============ Jdg 14:4 But his father and his mother knew not that it was of the LORD, that he sought an occasion against the Philistines: for at that time the Philistines had dominion over Israel.(KJV-1611) Jdg 14:4 Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Judges 14:5 ============ Jdg 14:5 Then went Samson down, and his father and his mother, to Timnath, and came to the vineyards of Timnath: and, behold, a young lion roared against him.(KJV-1611) Jdg 14:5 Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li.(Creole-HT) ======= Judges 14:6 ============ Jdg 14:6 And the Spirit of the LORD came mightily upon him, and he rent him as he would have rent a kid, and he had nothing in his hand: but he told not his father or his mother what he had done.(KJV-1611) Jdg 14:6 Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= Judges 14:7 ============ Jdg 14:7 And he went down, and talked with the woman; and she pleased Samson well.(KJV-1611) Jdg 14:7 Lèfini, l' ale, li pale ak ti fi a, li renmen l'.(Creole-HT) ======= Judges 14:8 ============ Jdg 14:8 And after a time he returned to take her, and he turned aside to see the carcase of the lion: and, behold, there was a swarm of bees and honey in the carcase of the lion.(KJV-1611) Jdg 14:8 Kèk tan apre sa, li tounen vin marye avè l'. Sou wout li, li fè yon ti detou pou l' al wè kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myèl avèk siwo myèl anndan kadav la.(Creole-HT) ======= Judges 14:9 ============ Jdg 14:9 And he took thereof in his hands, and went on eating, and came to his father and mother, and he gave them, and they did eat: but he told not them that he had taken the honey out of the carcase of the lion.(KJV-1611) Jdg 14:9 Li pran ti moso gato myèl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fè rès vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'.(Creole-HT) ======= Judges 14:10 ============ Jdg 14:10 So his father went down unto the woman: and Samson made there a feast; for so used the young men to do.(KJV-1611) Jdg 14:10 Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye.(Creole-HT) ======= Judges 14:11 ============ Jdg 14:11 And it came to pass, when they saw him, that they brought thirty companions to be with him.(KJV-1611) Jdg 14:11 Lè moun Filisti yo wè l', yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avè l'.(Creole-HT) ======= Judges 14:12 ============ Jdg 14:12 And Samson said unto them, I will now put forth a riddle unto you: if ye can certainly declare it me within the seven days of the feast, and find it out, then I will give you thirty sheets and thirty change of garments:(KJV-1611) Jdg 14:12 Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal.(Creole-HT) ======= Judges 14:13 ============ Jdg 14:13 But if ye cannot declare it me, then shall ye give me thirty sheets and thirty change of garments. And they said unto him, Put forth thy riddle, that we may hear it.(KJV-1611) Jdg 14:13 Men, si nou pa jwenn li anvan lè sa a, se nou ki pral ban mwen trant varèz ak trant rechanj. Yo di l': -Dakò! Ban nou kont la. Fè nou tande l'.(Creole-HT) ======= Judges 14:14 ============ Jdg 14:14 And he said unto them, Out of the eater came forth meat, and out of the strong came forth sweetness. And they could not in three days expound the riddle.(KJV-1611) Jdg 14:14 Li di yo: -Manje soti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous soti nan sa ki gen anpil fòs. Twa jou pase, yo pa t' ankò jwenn kont la.(Creole-HT) ======= Judges 14:15 ============ Jdg 14:15 And it came to pass on the seventh day, that they said unto Samson's wife, Entice thy husband, that he may declare unto us the riddle, lest we burn thee and thy father's house with fire: have ye called us to take that we have? is it not so?(KJV-1611) Jdg 14:15 Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?(Creole-HT) ======= Judges 14:16 ============ Jdg 14:16 And Samson's wife wept before him, and said, Thou dost but hate me, and lovest me not: thou hast put forth a riddle unto the children of my people, and hast not told it me. And he said unto her, Behold, I have not told it my father nor my mother, and shall I tell it thee?(KJV-1611) Jdg 14:16 Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'?(Creole-HT) ======= Judges 14:17 ============ Jdg 14:17 And she wept before him the seven days, while their feast lasted: and it came to pass on the seventh day, that he told her, because she lay sore upon him: and she told the riddle to the children of her people.(KJV-1611) Jdg 14:17 Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.(Creole-HT) ======= Judges 14:18 ============ Jdg 14:18 And the men of the city said unto him on the seventh day before the sun went down, What is sweeter than honey? And what is stronger than a lion? and he said unto them, If ye had not plowed with my heifer, ye had not found out my riddle.(KJV-1611) Jdg 14:18 Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dòmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myèl? Kisa ki gen plis fòs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!(Creole-HT) ======= Judges 14:19 ============ Jdg 14:19 And the Spirit of the LORD came upon him, and he went down to Ashkelon, and slew thirty men of them, and took their spoil, and gave change of garments unto them which expounded the riddle. And his anger was kindled, and he went up to his father's house.(KJV-1611) Jdg 14:19 Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'.(Creole-HT) ======= Judges 14:20 ============ Jdg 14:20 But Samson's wife was given to his companion, whom he had used as his friend.(KJV-1611) Jdg 14:20 Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l' lan, yo ba li madan Samson pou madanm li.(Creole-HT) ======= Judges 15:1 ============ Jdg 15:1 But it came to pass within a while after, in the time of wheat harvest, that Samson visited his wife with a kid; and he said, I will go in to my wife into the chamber. But her father would not suffer him to go in.(KJV-1611) Jdg 15:1 Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.(Creole-HT) ======= Judges 15:2 ============ Jdg 15:2 And her father said, I verily thought that thou hadst utterly hated her; therefore I gave her to thy companion: is not her younger sister fairer than she? take her, I pray thee, instead of her.(KJV-1611) Jdg 15:2 Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a.(Creole-HT) ======= Judges 15:3 ============ Jdg 15:3 And Samson said concerning them, Now shall I be more blameless than the Philistines, though I do them a displeasure.(KJV-1611) Jdg 15:3 Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen.(Creole-HT) ======= Judges 15:4 ============ Jdg 15:4 And Samson went and caught three hundred foxes, and took firebrands, and turned tail to tail, and put a firebrand in the midst between two tails.(KJV-1611) Jdg 15:4 L' ale, li pran twasan chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo.(Creole-HT) ======= Judges 15:5 ============ Jdg 15:5 And when he had set the brands on fire, he let them go into the standing corn of the Philistines, and burnt up both the shocks, and also the standing corn, with the vineyards and olives.(KJV-1611) Jdg 15:5 Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.(Creole-HT) ======= Judges 15:6 ============ Jdg 15:6 Then the Philistines said, Who hath done this? And they answered, Samson, the son in law of the Timnite, because he had taken his wife, and given her to his companion. And the Philistines came up, and burnt her and her father with fire.(KJV-1611) Jdg 15:6 Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la.(Creole-HT) ======= Judges 15:7 ============ Jdg 15:7 And Samson said unto them, Though ye have done this, yet will I be avenged of you, and after that I will cease.(KJV-1611) Jdg 15:7 Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a.(Creole-HT) ======= Judges 15:8 ============ Jdg 15:8 And he smote them hip and thigh with a great slaughter: and he went down and dwelt in the top of the rock Etam.(KJV-1611) Jdg 15:8 Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.(Creole-HT) ======= Judges 15:9 ============ Jdg 15:9 Then the Philistines went up, and pitched in Judah, and spread themselves in Lehi.(KJV-1611) Jdg 15:9 Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.(Creole-HT) ======= Judges 15:10 ============ Jdg 15:10 And the men of Judah said, Why are ye come up against us? And they answered, To bind Samson are we come up, to do to him as he hath done to us.(KJV-1611) Jdg 15:10 Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a.(Creole-HT) ======= Judges 15:11 ============ Jdg 15:11 Then three thousand men of Judah went to the top of the rock Etam, and said to Samson, Knowest thou not that the Philistines are rulers over us? what is this that thou hast done unto us? And he said unto them, As they did unto me, so have I done unto them.(KJV-1611) Jdg 15:11 Lè sa a, twamil gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.(Creole-HT) ======= Judges 15:12 ============ Jdg 15:12 And they said unto him, We are come down to bind thee, that we may deliver thee into the hand of the Philistines. And Samson said unto them, Swear unto me, that ye will not fall upon me yourselves.(KJV-1611) Jdg 15:12 Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm!(Creole-HT) ======= Judges 15:13 ============ Jdg 15:13 And they spake unto him, saying, No; but we will bind thee fast, and deliver thee into their hand: but surely we will not kill thee. And they bound him with two new cords, and brought him up from the rock.(KJV-1611) Jdg 15:13 Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avè l' soti nan twou wòch la.(Creole-HT) ======= Judges 15:14 ============ Jdg 15:14 And when he came unto Lehi, the Philistines shouted against him: and the Spirit of the LORD came mightily upon him, and the cords that were upon his arms became as flax that was burnt with fire, and his bands loosed from off his hands.(KJV-1611) Jdg 15:14 Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.(Creole-HT) ======= Judges 15:15 ============ Jdg 15:15 And he found a new jawbone of an ass, and put forth his hand, and took it, and slew a thousand men therewith.(KJV-1611) Jdg 15:15 Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil moun avè l'.(Creole-HT) ======= Judges 15:16 ============ Jdg 15:16 And Samson said, With the jawbone of an ass, heaps upon heaps, with the jaw of an ass have I slain a thousand men.(KJV-1611) Jdg 15:16 Lèfini, li pran chante, li di: -Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun. Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat.(Creole-HT) ======= Judges 15:17 ============ Jdg 15:17 And it came to pass, when he had made an end of speaking, that he cast away the jawbone out of his hand, and called that place Ramathlehi.(KJV-1611) Jdg 15:17 Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè.(Creole-HT) ======= Judges 15:18 ============ Jdg 15:18 And he was sore athirst, and called on the LORD, and said, Thou hast given this great deliverance into the hand of thy servant: and now shall I die for thirst, and fall into the hand of the uncircumcised?(KJV-1611) Jdg 15:18 Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!(Creole-HT) ======= Judges 15:19 ============ Jdg 15:19 But God clave an hollow place that was in the jaw, and there came water thereout; and when he had drunk, his spirit came again, and he revived: wherefore he called the name thereof Enhakkore, which is in Lehi unto this day.(KJV-1611) Jdg 15:19 Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Judges 15:20 ============ Jdg 15:20 And he judged Israel in the days of the Philistines twenty years.(KJV-1611) Jdg 15:20 Samson gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou rèy moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= Judges 16:1 ============ Jdg 16:1 Then went Samson to Gaza, and saw there an harlot, and went in unto her.(KJV-1611) Jdg 16:1 Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la.(Creole-HT) ======= Judges 16:2 ============ Jdg 16:2 And it was told the Gazites, saying, Samson is come hither. And they compassed him in, and laid wait for him all night in the gate of the city, and were quiet all the night, saying, In the morning, when it is day, we shall kill him.(KJV-1611) Jdg 16:2 Moun lavil Gaza yo vin konnen Samson te la nan lavil la. Yo mache chache l' toupatou, yo pase nwit la ap veye l' bò pòtay lavil la. Yo pa fè bri menm tout nwit la. Yo t'ap di nan kè yo: -N'ap tann solèy leve, lè sa a n'a touye l'.(Creole-HT) ======= Judges 16:3 ============ Jdg 16:3 And Samson lay till midnight, and arose at midnight, and took the doors of the gate of the city, and the two posts, and went away with them, bar and all, and put them upon his shoulders, and carried them up to the top of an hill that is before Hebron.(KJV-1611) Jdg 16:3 Samson rete kouche jouk nan mitan lannwit lan. Lè sa a, li leve, li pran de batan pòtay lavil la, li rache yo ansanm ak tout montan yo ak bwa travès ki te pase dèyè batan yo. Li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas lavil Ebwon an.(Creole-HT) ======= Judges 16:4 ============ Jdg 16:4 And it came to pass afterward, that he loved a woman in the valley of Sorek, whose name was Delilah.(KJV-1611) Jdg 16:4 Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila.(Creole-HT) ======= Judges 16:5 ============ Jdg 16:5 And the lords of the Philistines came up unto her, and said unto her, Entice him, and see wherein his great strength lieth, and by what means we may prevail against him, that we may bind him to afflict him; and we will give thee every one of us eleven hundred pieces of silver.(KJV-1611) Jdg 16:5 Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan pyès lajan.(Creole-HT) ======= Judges 16:6 ============ Jdg 16:6 And Delilah said to Samson, Tell me, I pray thee, wherein thy great strength lieth, and wherewith thou mightest be bound to afflict thee.(KJV-1611) Jdg 16:6 Se konsa, Dalila al di Samson: -Tanpri, di m' sa ki ba ou tout fòs sa a. Manyè di m' kouman yo ta ka mare ou pou kraze kouraj ou.(Creole-HT) ======= Judges 16:7 ============ Jdg 16:7 And Samson said unto her, If they bind me with seven green withs that were never dried, then shall I be weak, and be as another man.(KJV-1611) Jdg 16:7 Samson reponn li: -Si yo mare m' avèk sèt kòd tou nèf ki poko fin cheche m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.(Creole-HT) ======= Judges 16:8 ============ Jdg 16:8 Then the lords of the Philistines brought up to her seven green withs which had not been dried, and she bound him with them.(KJV-1611) Jdg 16:8 Chèf moun Filisti yo pote sèt kòd tou nèf ki pa t' ankò fin cheche bay Dalila. Dalila mare Samson avèk kòd yo.(Creole-HT) ======= Judges 16:9 ============ Jdg 16:9 Now there were men lying in wait, abiding with her in the chamber. And she said unto him, The Philistines be upon thee, Samson. And he brake the withs, as a thread of tow is broken when it toucheth the fire. So his strength was not known.(KJV-1611) Jdg 16:9 Li te fè kèk moun kache nan yon lòt chanm, epi li rete konsa, li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson kase kòd yo. Moso kòd yo tonbe atè ou ta di fil boule nan dife. Konsa yo pa t' rive konnen sa ki te ba l' tout fòs sa a.(Creole-HT) ======= Judges 16:10 ============ Jdg 16:10 And Delilah said unto Samson, Behold, thou hast mocked me, and told me lies: now tell me, I pray thee, wherewith thou mightest be bound.(KJV-1611) Jdg 16:10 Dalila di Samson: -Gade jan ou pase m' nan betiz! On ban m' manti! Tanpri, di m' non! Ki jan yo ka mare ou!(Creole-HT) ======= Judges 16:11 ============ Jdg 16:11 And he said unto her, If they bind me fast with new ropes that never were occupied, then shall I be weak, and be as another man.(KJV-1611) Jdg 16:11 Samson di l' konsa: -Si yo mare m' ak kòd tou nèf ki poko janm sèvi pou fè ankenn travay, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.(Creole-HT) ======= Judges 16:12 ============ Jdg 16:12 Delilah therefore took new ropes, and bound him therewith, and said unto him, The Philistines be upon thee, Samson. And there were liers in wait abiding in the chamber. And he brake them from off his arms like a thread.(KJV-1611) Jdg 16:12 Dalila pran kèk kòd tou nèf, li mare Samson avèk yo, epi li di: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Li te mete moun yo kache nan lòt chanm lan. Men, Samson kase kòd ki te mare bra l' yo tankou si se te fil yo te ye.(Creole-HT) ======= Judges 16:13 ============ Jdg 16:13 And Delilah said unto Samson, Hitherto thou hast mocked me, and told me lies: tell me wherewith thou mightest be bound. And he said unto her, If thou weavest the seven locks of my head with the web.(KJV-1611) Jdg 16:13 Dalila di Samson: -W'ap pase m' nan betiz toujou. W'ap ban m' manti. Tanpri, moutre m' kijan yo ka mare ou. Samson di l': -Si ou pran sèt très cheve m' yo ou trese yo ansanm epi ou kenbè yo ak yon gwo peny, m'ap pedi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.(Creole-HT) ======= Judges 16:14 ============ Jdg 16:14 And she fastened it with the pin, and said unto him, The Philistines be upon thee, Samson. And he awaked out of his sleep, and went away with the pin of the beam, and with the web.(KJV-1611) Jdg 16:14 Dalila fè l' dòmi. Li trese sèt très cheve l' yo ansanm, li sere yo byen sere avèk yon gwo peny, epi li rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Samson leve, li rache peny lan, li detrese cheve l' yo.(Creole-HT) ======= Judges 16:15 ============ Jdg 16:15 And she said unto him, How canst thou say, I love thee, when thine heart is not with me? thou hast mocked me these three times, and hast not told me wherein thy great strength lieth.(KJV-1611) Jdg 16:15 Dalila di l' konsa: -Ou pa bezwen di ou renmen m' menm, paske ou pa sensè avè m'. Sa fè twa fwa ou pase m' nan betiz. Ou pa janm di m' ki bò ou jwenn tout fòs sa a.(Creole-HT) ======= Judges 16:16 ============ Jdg 16:16 And it came to pass, when she pressed him daily with her words, and urged him, so that his soul was vexed unto death;(KJV-1611) Jdg 16:16 Chak jou li rete la nan kò Samson, l'ap plenyen nan tèt li. Samson pa t' kapab ankò, rete pou l' te mouri.(Creole-HT) ======= Judges 16:17 ============ Jdg 16:17 That he told her all his heart, and said unto her, There hath not come a razor upon mine head; for I have been a Nazarite unto God from my mother's womb: if I be shaven, then my strength will go from me, and I shall become weak, and be like any other man.(KJV-1611) Jdg 16:17 Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.(Creole-HT) ======= Judges 16:18 ============ Jdg 16:18 And when Delilah saw that he had told her all his heart, she sent and called for the lords of the Philistines, saying, Come up this once, for he hath shewed me all his heart. Then the lords of the Philistines came up unto her, and brought money in their hand.(KJV-1611) Jdg 16:18 Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo.(Creole-HT) ======= Judges 16:19 ============ Jdg 16:19 And she made him sleep upon her knees; and she called for a man, and she caused him to shave off the seven locks of his head; and she began to afflict him, and his strength went from him.(KJV-1611) Jdg 16:19 Dalila fè dòmi pran Samson sou jenou l', li fè rele yon nonm ki koupe sèt très cheve Samson yo ra. Epi li seye fè fòs ak li. Men Samson te pèdi tout fòs li.(Creole-HT) ======= Judges 16:20 ============ Jdg 16:20 And she said, The Philistines be upon thee, Samson. And he awoke out of his sleep, and said, I will go out as at other times before, and shake myself. And he wist not that the LORD was departed from him.(KJV-1611) Jdg 16:20 Lè sa a, Dalila rele: -Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Msye leve, li t'ap di nan kè l' l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men, li pa t' konnen Seyè a pa t' avè l' ankò.(Creole-HT) ======= Judges 16:21 ============ Jdg 16:21 But the Philistines took him, and put out his eyes, and brought him down to Gaza, and bound him with fetters of brass; and he did grind in the prison house.(KJV-1611) Jdg 16:21 Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.(Creole-HT) ======= Judges 16:22 ============ Jdg 16:22 Howbeit the hair of his head began to grow again after he was shaven.(KJV-1611) Jdg 16:22 Men, cheve l' te konmanse pouse ankò.(Creole-HT) ======= Judges 16:23 ============ Jdg 16:23 Then the lords of the Philistines gathered them together for to offer a great sacrifice unto Dagon their god, and to rejoice: for they said, Our god hath delivered Samson our enemy into our hand.(KJV-1611) Jdg 16:23 Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.(Creole-HT) ======= Judges 16:24 ============ Jdg 16:24 And when the people saw him, they praised their god: for they said, Our god hath delivered into our hands our enemy, and the destroyer of our country, which slew many of us.(KJV-1611) Jdg 16:24 Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: -Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Judges 16:25 ============ Jdg 16:25 And it came to pass, when their hearts were merry, that they said, Call for Samson, that he may make us sport. And they called for Samson out of the prison house; and he made them sport: and they set him between the pillars.(KJV-1611) Jdg 16:25 Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto.(Creole-HT) ======= Judges 16:26 ============ Jdg 16:26 And Samson said unto the lad that held him by the hand, Suffer me that I may feel the pillars whereupon the house standeth, that I may lean upon them.(KJV-1611) Jdg 16:26 Samson di ti bway ki te kenbe men l' lan: -Mennen m' bò de gwo poto ki kenbe tout tanp lan. Mete men m' sou yo pou m' ka fè yon ti apiye.(Creole-HT) ======= Judges 16:27 ============ Jdg 16:27 Now the house was full of men and women; and all the lords of the Philistines were there; and there were upon the roof about three thousand men and women, that beheld while Samson made sport.(KJV-1611) Jdg 16:27 Tanp lan te plen moun, fanm kou gason. Tout chèf moun Filisti yo te la. Te gen twamil moun konsa, fanm kou gason, anwo twati a ki t'ap gade Samson, ki t'ap pran plezi yo ak li.(Creole-HT) ======= Judges 16:28 ============ Jdg 16:28 And Samson called unto the LORD, and said, O Lord God, remember me, I pray thee, and strengthen me, I pray thee, only this once, O God, that I may be at once avenged of the Philistines for my two eyes.(KJV-1611) Jdg 16:28 Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: -O Bondye Seyè! Tanpri, chonje m' non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m' fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m' ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m' yo pete a.(Creole-HT) ======= Judges 16:29 ============ Jdg 16:29 And Samson took hold of the two middle pillars upon which the house stood, and on which it was borne up, of the one with his right hand, and of the other with his left.(KJV-1611) Jdg 16:29 Epi Samson mete men l' sou de gwo poto mitan ki te kenbe tout tanp lan. Li apiye yon men l' sou chak.(Creole-HT) ======= Judges 16:30 ============ Jdg 16:30 And Samson said, Let me die with the Philistines. And he bowed himself with all his might; and the house fell upon the lords, and upon all the people that were therein. So the dead which he slew at his death were more than they which he slew in his life.(KJV-1611) Jdg 16:30 Epi li di: -M' te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.(Creole-HT) ======= Judges 16:31 ============ Jdg 16:31 Then his brethren and all the house of his father came down, and took him, and brought him up, and buried him between Zorah and Eshtaol in the buryingplace of Manoah his father. And he judged Israel twenty years.(KJV-1611) Jdg 16:31 Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 17:1 ============ Jdg 17:1 And there was a man of mount Ephraim, whose name was Micah.(KJV-1611) Jdg 17:1 Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Judges 17:2 ============ Jdg 17:2 And he said unto his mother, The eleven hundred shekels of silver that were taken from thee, about which thou cursedst, and spakest of also in mine ears, behold, the silver is with me; I took it. And his mother said, Blessed be thou of the LORD, my son.(KJV-1611) Jdg 17:2 Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!(Creole-HT) ======= Judges 17:3 ============ Jdg 17:3 And when he had restored the eleven hundred shekels of silver to his mother, his mother said, I had wholly dedicated the silver unto the LORD from my hand for my son, to make a graven image and a molten image: now therefore I will restore it unto thee.(KJV-1611) Jdg 17:3 Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.(Creole-HT) ======= Judges 17:4 ============ Jdg 17:4 Yet he restored the money unto his mother; and his mother took two hundred shekels of silver, and gave them to the founder, who made thereof a graven image and a molten image: and they were in the house of Micah.(KJV-1611) Jdg 17:4 Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.(Creole-HT) ======= Judges 17:5 ============ Jdg 17:5 And the man Micah had an house of gods, and made an ephod, and teraphim, and consecrated one of his sons, who became his priest.(KJV-1611) Jdg 17:5 Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt.(Creole-HT) ======= Judges 17:6 ============ Jdg 17:6 In those days there was no king in Israel, but every man did that which was right in his own eyes.(KJV-1611) Jdg 17:6 Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.(Creole-HT) ======= Judges 17:7 ============ Jdg 17:7 And there was a young man out of Bethlehemjudah of the family of Judah, who was a Levite, and he sojourned there.(KJV-1611) Jdg 17:7 Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.(Creole-HT) ======= Judges 17:8 ============ Jdg 17:8 And the man departed out of the city from Bethlehemjudah to sojourn where he could find a place: and he came to mount Ephraim to the house of Micah, as he journeyed.(KJV-1611) Jdg 17:8 Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l' al chache yon lòt kote pou l' fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Judges 17:9 ============ Jdg 17:9 And Micah said unto him, Whence comest thou? And he said unto him, I am a Levite of Bethlehemjudah, and I go to sojourn where I may find a place.(KJV-1611) Jdg 17:9 Mika mande l': -Kote ou soti? Nèg la reponn: -Mwen se moun fanmi Levi, m' soti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m' fè ladesant.(Creole-HT) ======= Judges 17:10 ============ Jdg 17:10 And Micah said unto him, Dwell with me, and be unto me a father and a priest, and I will give thee ten shekels of silver by the year, and a suit of apparel, and thy victuals. So the Levite went in.(KJV-1611) Jdg 17:10 Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.(Creole-HT) ======= Judges 17:11 ============ Jdg 17:11 And the Levite was content to dwell with the man; and the young man was unto him as one of his sons.(KJV-1611) Jdg 17:11 Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'.(Creole-HT) ======= Judges 17:12 ============ Jdg 17:12 And Micah consecrated the Levite; and the young man became his priest, and was in the house of Micah.(KJV-1611) Jdg 17:12 Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l' sèvi l' prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika.(Creole-HT) ======= Judges 17:13 ============ Jdg 17:13 Then said Micah, Now know I that the LORD will do me good, seeing I have a Levite to my priest.(KJV-1611) Jdg 17:13 Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.(Creole-HT) ======= Judges 18:1 ============ Jdg 18:1 In those days there was no king in Israel: and in those days the tribe of the Danites sought them an inheritance to dwell in; for unto that day all their inheritance had not fallen unto them among the tribes of Israel.(KJV-1611) Jdg 18:1 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo a.(Creole-HT) ======= Judges 18:2 ============ Jdg 18:2 And the children of Dan sent of their family five men from their coasts, men of valour, from Zorah, and from Eshtaol, to spy out the land, and to search it; and they said unto them, Go, search the land: who when they came to mount Ephraim, to the house of Micah, they lodged there.(KJV-1611) Jdg 18:2 Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.(Creole-HT) ======= Judges 18:3 ============ Jdg 18:3 When they were by the house of Micah, they knew the voice of the young man the Levite: and they turned in thither, and said unto him, Who brought thee hither? and what makest thou in this place? and what hast thou here?(KJV-1611) Jdg 18:3 Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l': -Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la?(Creole-HT) ======= Judges 18:4 ============ Jdg 18:4 And he said unto them, Thus and thus dealeth Micah with me, and hath hired me, and I am his priest.(KJV-1611) Jdg 18:4 Li reponn yo: -Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m', epi m'ap sèvi l' prèt.(Creole-HT) ======= Judges 18:5 ============ Jdg 18:5 And they said unto him, Ask counsel, we pray thee, of God, that we may know whether our way which we go shall be prosperous.(KJV-1611) Jdg 18:5 Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.(Creole-HT) ======= Judges 18:6 ============ Jdg 18:6 And the priest said unto them, Go in peace: before the LORD is your way wherein ye go.(KJV-1611) Jdg 18:6 Prèt la di yo: -Nou pa bezwen pè. Seyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.(Creole-HT) ======= Judges 18:7 ============ Jdg 18:7 Then the five men departed, and came to Laish, and saw the people that were therein, how they dwelt careless, after the manner of the Zidonians, quiet and secure; and there was no magistrate in the land, that might put them to shame in any thing; and they were far from the Zidonians, and had no business with any man.(KJV-1611) Jdg 18:7 Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:8 ============ Jdg 18:8 And they came unto their brethren to Zorah and Eshtaol: and their brethren said unto them, What say ye?(KJV-1611) Jdg 18:8 Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.(Creole-HT) ======= Judges 18:9 ============ Jdg 18:9 And they said, Arise, that we may go up against them: for we have seen the land, and, behold, it is very good: and are ye still? be not slothful to go, and to enter to possess the land.(KJV-1611) Jdg 18:9 Yo reponn: -Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.(Creole-HT) ======= Judges 18:10 ============ Jdg 18:10 When ye go, ye shall come unto a people secure, and to a large land: for God hath given it into your hands; a place where there is no want of any thing that is in the earth.(KJV-1611) Jdg 18:10 Lè n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen.(Creole-HT) ======= Judges 18:11 ============ Jdg 18:11 And there went from thence of the family of the Danites, out of Zorah and out of Eshtaol, six hundred men appointed with weapons of war.(KJV-1611) Jdg 18:11 Se konsa sisan gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen.(Creole-HT) ======= Judges 18:12 ============ Jdg 18:12 And they went up, and pitched in Kirjathjearim, in Judah: wherefore they called that place Mahanehdan unto this day: behold, it is behind Kirjathjearim.(KJV-1611) Jdg 18:12 Yo moute, yo rete toupre lavil Kiriyat-Jearim, nan peyi Jida sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele kote sa a Kan moun Dann yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:13 ============ Jdg 18:13 And they passed thence unto mount Ephraim, and came unto the house of Micah.(KJV-1611) Jdg 18:13 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.(Creole-HT) ======= Judges 18:14 ============ Jdg 18:14 Then answered the five men that went to spy out the country of Laish, and said unto their brethren, Do ye know that there is in these houses an ephod, and teraphim, and a graven image, and a molten image? now therefore consider what ye have to do.(KJV-1611) Jdg 18:14 Lè sa a, senk mesye yo te voye al vizite peyi ki nan vwazinaj lavil layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: -Eske nou konnen, nan yonn nan kay sa yo gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?(Creole-HT) ======= Judges 18:15 ============ Jdg 18:15 And they turned thitherward, and came to the house of the young man the Levite, even unto the house of Micah, and saluted him.(KJV-1611) Jdg 18:15 Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l' nouvèl li.(Creole-HT) ======= Judges 18:16 ============ Jdg 18:16 And the six hundred men appointed with their weapons of war, which were of the children of Dan, stood by the entering of the gate.(KJV-1611) Jdg 18:16 Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.(Creole-HT) ======= Judges 18:17 ============ Jdg 18:17 And the five men that went to spy out the land went up, and came in thither, and took the graven image, and the ephod, and the teraphim, and the molten image: and the priest stood in the entering of the gate with the six hundred men that were appointed with weapons of war.(KJV-1611) Jdg 18:17 Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:18 ============ Jdg 18:18 And these went into Micah's house, and fetched the carved image, the ephod, and the teraphim, and the molten image. Then said the priest unto them, What do ye?(KJV-1611) Jdg 18:18 Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika a ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa kouvri ak ajan an, li di yo: -Sa n'ap fè la a?(Creole-HT) ======= Judges 18:19 ============ Jdg 18:19 And they said unto him, Hold thy peace, lay thine hand upon thy mouth, and go with us, and be to us a father and a priest: is it better for thee to be a priest unto the house of one man, or that thou be a priest unto a tribe and a family in Israel?(KJV-1611) Jdg 18:19 Yo reponn li: -Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?(Creole-HT) ======= Judges 18:20 ============ Jdg 18:20 And the priest's heart was glad, and he took the ephod, and the teraphim, and the graven image, and went in the midst of the people.(KJV-1611) Jdg 18:20 Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati an bwa a, ak lòt zidòl wogatwa yo, epi l' ale ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:21 ============ Jdg 18:21 So they turned and departed, and put the little ones and the cattle and the carriage before them.(KJV-1611) Jdg 18:21 Mesye yo reprann chemen yo, y' al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:22 ============ Jdg 18:22 And when they were a good way from the house of Micah, the men that were in the houses near to Micah's house were gathered together, and overtook the children of Dan.(KJV-1611) Jdg 18:22 Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinaj kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapouswiv moun Dann yo.(Creole-HT) ======= Judges 18:23 ============ Jdg 18:23 And they cried unto the children of Dan. And they turned their faces, and said unto Micah, What aileth thee, that thou comest with such a company?(KJV-1611) Jdg 18:23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: -Sa ki genyen? Pouki tout moun sa yo dèyè nou an?(Creole-HT) ======= Judges 18:24 ============ Jdg 18:24 And he said, Ye have taken away my gods which I made, and the priest, and ye are gone away: and what have I more? and what is this that ye say unto me, What aileth thee?(KJV-1611) Jdg 18:24 Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?(Creole-HT) ======= Judges 18:25 ============ Jdg 18:25 And the children of Dan said unto him, Let not thy voice be heard among us, lest angry fellows run upon thee, and thou lose thy life, with the lives of thy household.(KJV-1611) Jdg 18:25 Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.(Creole-HT) ======= Judges 18:26 ============ Jdg 18:26 And the children of Dan went their way: and when Micah saw that they were too strong for him, he turned and went back unto his house.(KJV-1611) Jdg 18:26 Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l', li tounen tounen l', l' al lakay li.(Creole-HT) ======= Judges 18:27 ============ Jdg 18:27 And they took the things which Micah had made, and the priest which he had, and came unto Laish, unto a people that were at quiet and secure: and they smote them with the edge of the sword, and burnt the city with fire.(KJV-1611) Jdg 18:27 Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 18:28 ============ Jdg 18:28 And there was no deliverer, because it was far from Zidon, and they had no business with any man; and it was in the valley that lieth by Bethrehob. And they built a city, and dwelt therein.(KJV-1611) Jdg 18:28 Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'.(Creole-HT) ======= Judges 18:29 ============ Jdg 18:29 And they called the name of the city Dan, after the name of Dan their father, who was born unto Israel: howbeit the name of the city was Laish at the first.(KJV-1611) Jdg 18:29 Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.(Creole-HT) ======= Judges 18:30 ============ Jdg 18:30 And the children of Dan set up the graven image: and Jonathan, the son of Gershom, the son of Manasseh, he and his sons were priests to the tribe of Dan until the day of the captivity of the land.(KJV-1611) Jdg 18:30 Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.(Creole-HT) ======= Judges 18:31 ============ Jdg 18:31 And they set them up Micah's graven image, which he made, all the time that the house of God was in Shiloh.(KJV-1611) Jdg 18:31 Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.(Creole-HT) ======= Judges 19:1 ============ Jdg 19:1 And it came to pass in those days, when there was no king in Israel, that there was a certain Levite sojourning on the side of mount Ephraim, who took to him a concubine out of Bethlehemjudah.(KJV-1611) Jdg 19:1 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Yon jou, yon moun Levi ki te rete nan fon mòn Efrayim yo leve, l' al pran yon fanm, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida, pou fanm kay li.(Creole-HT) ======= Judges 19:2 ============ Jdg 19:2 And his concubine played the whore against him, and went away from him unto her father's house to Bethlehemjudah, and was there four whole months.(KJV-1611) Jdg 19:2 Men, fanm lan vin tonbe nan dezòd sou li, epi li kite l', li tounen lakay papa l', lavil Betleyèm nan peyi Jida. Li pase kat mwa la.(Creole-HT) ======= Judges 19:3 ============ Jdg 19:3 And her husband arose, and went after her, to speak friendly unto her, and to bring her again, having his servant with him, and a couple of asses: and she brought him into her father's house: and when the father of the damsel saw him, he rejoiced to meet him.(KJV-1611) Jdg 19:3 Lè sa a, mari a leve, l' al dèyè l' pou l' wè si li te ka tounen avè l' ankò. Li te pati ansanm ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa l' lakay papa l'. Lè papa madanm lan wè l', li te byen kontan resevwa l' tou.(Creole-HT) ======= Judges 19:4 ============ Jdg 19:4 And his father in law, the damsel's father, retained him; and he abode with him three days: so they did eat and drink, and lodged there.(KJV-1611) Jdg 19:4 Bòpè a pran tèt moun Levi a, li fè l' rete pase twa jou avè l'. Mesyedam yo manje, yo bwè, yo pase nwit nan kay la.(Creole-HT) ======= Judges 19:5 ============ Jdg 19:5 And it came to pass on the fourth day, when they arose early in the morning, that he rose up to depart: and the damsel's father said unto his son in law, Comfort thine heart with a morsel of bread, and afterward go your way.(KJV-1611) Jdg 19:5 Sou katriyèm jou a, yo leve granmaten, yo pare zafè yo pou yo pati. Men, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Mete yon bagay nan vant ou anvan. W'a santi ou anfòm. Aprè sa, w'a pati.(Creole-HT) ======= Judges 19:6 ============ Jdg 19:6 And they sat down, and did eat and drink both of them together: for the damsel's father had said unto the man, Be content, I pray thee, and tarry all night, and let thine heart be merry.(KJV-1611) Jdg 19:6 Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!(Creole-HT) ======= Judges 19:7 ============ Jdg 19:7 And when the man rose up to depart, his father in law urged him: therefore he lodged there again.(KJV-1611) Jdg 19:7 Nonm lan te leve pou l' pati, men bòpè a sitèlman kenbe la avè l', li tounen pase nwit la la ankò.(Creole-HT) ======= Judges 19:8 ============ Jdg 19:8 And he arose early in the morning on the fifth day to depart; and the damsel's father said, Comfort thine heart, I pray thee. And they tarried until afternoon, and they did eat both of them.(KJV-1611) Jdg 19:8 Sou senkyèm jou a, nan granmaten, li leve pou l' ale. Bòpè a di l' konsa: -Mete kichòy nan vant ou non, monchè. W'a pati pita. Se konsa de mesye yo chita, yo manje.(Creole-HT) ======= Judges 19:9 ============ Jdg 19:9 And when the man rose up to depart, he, and his concubine, and his servant, his father in law, the damsel's father, said unto him, Behold, now the day draweth toward evening, I pray you tarry all night: behold, the day groweth to an end, lodge here, that thine heart may be merry; and to morrow get you early on your way, that thou mayest go home.(KJV-1611) Jdg 19:9 Aprè sa, nonm lan leve pou l' ale ansanm ak fanm kay li ak domestik li a, men bòpè a di l': -Gade solèy pral kouche, tou rete pase nwit lan non. Talè fènwa pral tonbe. Rete non, monchè. Pran plezi ou! Denmen, w'a leve byen bonè pou vwayaj la, w'aprale lakay ou.(Creole-HT) ======= Judges 19:10 ============ Jdg 19:10 But the man would not tarry that night, but he rose up and departed, and came over against Jebus, which is Jerusalem; and there were with him two asses saddled, his concubine also was with him.(KJV-1611) Jdg 19:10 Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Judges 19:11 ============ Jdg 19:11 And when they were by Jebus, the day was far spent; and the servant said unto his master, Come, I pray thee, and let us turn in into this city of the Jebusites, and lodge in it.(KJV-1611) Jdg 19:11 Lè sa a, te konmanse ap fè nwa anpil, domestik la di l' konsa: -Ann fè yon antre nan lavil moun Jebis yo non. N'a pase nwit la la.(Creole-HT) ======= Judges 19:12 ============ Jdg 19:12 And his master said unto him, We will not turn aside hither into the city of a stranger, that is not of the children of Israel; we will pass over to Gibeah.(KJV-1611) Jdg 19:12 Men, mèt la di l' konsa: -Non! Nou pa pral antre nan lavil moun lòt nasyon yo, kote pa gen yon moun pèp Izrayèl la menm. N'ap fè wout nou jouk nou rive lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= Judges 19:13 ============ Jdg 19:13 And he said unto his servant, Come, and let us draw near to one of these places to lodge all night, in Gibeah, or in Ramah.(KJV-1611) Jdg 19:13 Ann al pi devan. N'a pase nwit lan lavil Gibeya osinon lavil Rama.(Creole-HT) ======= Judges 19:14 ============ Jdg 19:14 And they passed on and went their way; and the sun went down upon them when they were by Gibeah, which belongeth to Benjamin.(KJV-1611) Jdg 19:14 Se konsa yo pa rete, y' al fè wout yo. Solèy t'ap fin kouche lè yo rive bò lavil Gibeya, ki nan teritwa moun branch fanmi Benjamen yo.(Creole-HT) ======= Judges 19:15 ============ Jdg 19:15 And they turned aside thither, to go in and to lodge in Gibeah: and when he went in, he sat him down in a street of the city: for there was no man that took them into his house to lodging.(KJV-1611) Jdg 19:15 Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.(Creole-HT) ======= Judges 19:16 ============ Jdg 19:16 And, behold, there came an old man from his work out of the field at even, which was also of mount Ephraim; and he sojourned in Gibeah: but the men of the place were Benjamites.(KJV-1611) Jdg 19:16 Nan aswè, yon granmoun gason ki t'ap sot nan jaden vin ap antre lakay li. Se te yon moun mòn Efrayim yo li te ye. Li te rete lavil Gibeya. Men, tout moun lavil yo se moun fanmi Benjamen yo te ye.(Creole-HT) ======= Judges 19:17 ============ Jdg 19:17 And when he had lifted up his eyes, he saw a wayfaring man in the street of the city: and the old man said, Whither goest thou? and whence comest thou?(KJV-1611) Jdg 19:17 Je granmoun lan al tonbe sou vwayajè yo ki te sou plas la. Li di moun Levi a konsa: -Kote ou prale? Kote ou soti?(Creole-HT) ======= Judges 19:18 ============ Jdg 19:18 And he said unto him, We are passing from Bethlehemjudah toward the side of mount Ephraim; from thence am I: and I went to Bethlehemjudah, but I am now going to the house of the LORD; and there is no man that receiveth me to house.(KJV-1611) Jdg 19:18 Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.(Creole-HT) ======= Judges 19:19 ============ Jdg 19:19 Yet there is both straw and provender for our asses; and there is bread and wine also for me, and for thy handmaid, and for the young man which is with thy servants: there is no want of any thing.(KJV-1611) Jdg 19:19 Nou gen manje ak zèb pou bourik nou, nou gen pen ak diven pou mwen, pou fanm kay mwen, ak pou domestik ki ak nou an. Nou pa manke anyen.(Creole-HT) ======= Judges 19:20 ============ Jdg 19:20 And the old man said, Peace be with thee; howsoever let all thy wants lie upon me; only lodge not in the street.(KJV-1611) Jdg 19:20 Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.(Creole-HT) ======= Judges 19:21 ============ Jdg 19:21 So he brought him into his house, and gave provender unto the asses: and they washed their feet, and did eat and drink.(KJV-1611) Jdg 19:21 Se konsa li mennen yo lakay li, li bay bèt yo zèb. Mesyedam yo menm lave pye yo, epi yo manje, yo bwè.(Creole-HT) ======= Judges 19:22 ============ Jdg 19:22 Now as they were making their hearts merry, behold, the men of the city, certain sons of Belial, beset the house round about, and beat at the door, and spake to the master of the house, the old man, saying, Bring forth the man that came into thine house, that we may know him.(KJV-1611) Jdg 19:22 Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.(Creole-HT) ======= Judges 19:23 ============ Jdg 19:23 And the man, the master of the house, went out unto them, and said unto them, Nay, my brethren, nay, I pray you, do not so wickedly; seeing that this man is come into mine house, do not this folly.(KJV-1611) Jdg 19:23 Mèt kay la soti al jwenn yo, li di yo konsa: -Non, mezanmi! Tanpri, pa fè vye bagay lèd sa a. Nonm lan se lakay mwen li ye. Pa vin fè bagay sal sa a.(Creole-HT) ======= Judges 19:24 ============ Jdg 19:24 Behold, here is my daughter a maiden, and his concubine; them I will bring out now, and humble ye them, and do with them what seemeth good unto you: but unto this man do not so vile a thing.(KJV-1611) Jdg 19:24 Bon, gade! Mwen gen yon jenn pitit fi, li menm li gen yon fanm kay. Mwen pral fè yo soti vin jwenn nou. Nou mèt kouche ak yo. Nou mèt fè sa nou vle ak yo. Men, pa vin fè ankenn vye bagay derespektan ak nonm lan.(Creole-HT) ======= Judges 19:25 ============ Jdg 19:25 But the men would not hearken to him: so the man took his concubine, and brought her forth unto them; and they knew her, and abused her all the night until the morning: and when the day began to spring, they let her go.(KJV-1611) Jdg 19:25 Men, mesye yo pa t' vle koute l'. Lè sa a, moun Levi a pran fanm kay li a, li fè l' soti al jwenn yo deyò a. Tout mesye yo kouche avè l', yo fè tout kalite bagay avè l' pandan tout nwit lan. Solèy t'apral leve lè yo kite l'.(Creole-HT) ======= Judges 19:26 ============ Jdg 19:26 Then came the woman in the dawning of the day, and fell down at the door of the man's house where her lord was, till it was light.(KJV-1611) Jdg 19:26 Lè bajou kase, fanm lan trennen jouk li rive devan papòt kay kote mari l' te ye a. Li rete atè a jouk solèy fin leve.(Creole-HT) ======= Judges 19:27 ============ Jdg 19:27 And her lord rose up in the morning, and opened the doors of the house, and went out to go his way: and, behold, the woman his concubine was fallen down at the door of the house, and her hands were upon the threshold.(KJV-1611) Jdg 19:27 Nan maten, mari a leve, li louvri pòt pou l' soti. Li fè sa pou l' al fè wout li, li wè fanm kay li a blayi atè a devan kay la, ak de men l' yo lonje sou papòt la.(Creole-HT) ======= Judges 19:28 ============ Jdg 19:28 And he said unto her, Up, and let us be going. But none answered. Then the man took her up upon an ass, and the man rose up, and gat him unto his place.(KJV-1611) Jdg 19:28 Li di: -Leve non! Ann ale! Men, fanm lan pa reponn li. Li pran kadav la, li mete l' detravè sou bourik li, epi li pati, l' al lakay li.(Creole-HT) ======= Judges 19:29 ============ Jdg 19:29 And when he was come into his house, he took a knife, and laid hold on his concubine, and divided her, together with her bones, into twelve pieces, and sent her into all the coasts of Israel.(KJV-1611) Jdg 19:29 Lè l' rive lakay li, li pran yon kouto, li koupe kadav fanm kay li a fè douz moso, epi li voye yon moso nan chak branch fanmi peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 19:30 ============ Jdg 19:30 And it was so, that all that saw it said, There was no such deed done nor seen from the day that the children of Israel came up out of the land of Egypt unto this day: consider of it, take advice, and speak your minds.(KJV-1611) Jdg 19:30 Chak moun ki te wè sa di konsa: -Nou pa janm wè bagay konsa! Bagay konsa pa janm rive nan mitan nou depi lè pèp Izrayèl la kite peyi Lejip rive jounen jòdi a. Annou kalkile byen kisa nou pral fè pou sa. Sa nou di nan sa?(Creole-HT) ======= Judges 20:1 ============ Jdg 20:1 Then all the children of Israel went out, and the congregation was gathered together as one man, from Dan even to Beersheba, with the land of Gilead, unto the LORD in Mizpeh.(KJV-1611) Jdg 20:1 Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.(Creole-HT) ======= Judges 20:2 ============ Jdg 20:2 And the chief of all the people, even of all the tribes of Israel, presented themselves in the assembly of the people of God, four hundred thousand footmen that drew sword.(KJV-1611) Jdg 20:2 Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Seyè a. Te gen katsanmil sòlda apye antou.(Creole-HT) ======= Judges 20:3 ============ Jdg 20:3 (Now the children of Benjamin heard that the children of Israel were gone up to Mizpeh.) Then said the children of Israel, Tell us, how was this wickedness?(KJV-1611) Jdg 20:3 Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive.(Creole-HT) ======= Judges 20:4 ============ Jdg 20:4 And the Levite, the husband of the woman that was slain, answered and said, I came into Gibeah that belongeth to Benjamin, I and my concubine, to lodge.(KJV-1611) Jdg 20:4 Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit.(Creole-HT) ======= Judges 20:5 ============ Jdg 20:5 And the men of Gibeah rose against me, and beset the house round about upon me by night, and thought to have slain me: and my concubine have they forced, that she is dead.(KJV-1611) Jdg 20:5 Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri.(Creole-HT) ======= Judges 20:6 ============ Jdg 20:6 And I took my concubine, and cut her in pieces, and sent her throughout all the country of the inheritance of Israel: for they have committed lewdness and folly in Israel.(KJV-1611) Jdg 20:6 Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 20:7 ============ Jdg 20:7 Behold, ye are all children of Israel; give here your advice and counsel.(KJV-1611) Jdg 20:7 Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè?(Creole-HT) ======= Judges 20:8 ============ Jdg 20:8 And all the people arose as one man, saying, We will not any of us go to his tent, neither will we any of us turn into his house.(KJV-1611) Jdg 20:8 Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò.(Creole-HT) ======= Judges 20:9 ============ Jdg 20:9 But now this shall be the thing which we will do to Gibeah; we will go up by lot against it;(KJV-1611) Jdg 20:9 Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:10 ============ Jdg 20:10 And we will take ten men of an hundred throughout all the tribes of Israel, and an hundred of a thousand, and a thousand out of ten thousand, to fetch victual for the people, that they may do, when they come to Gibeah of Benjamin, according to all the folly that they have wrought in Israel.(KJV-1611) Jdg 20:10 Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 20:11 ============ Jdg 20:11 So all the men of Israel were gathered against the city, knit together as one man.(KJV-1611) Jdg 20:11 Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:12 ============ Jdg 20:12 And the tribes of Israel sent men through all the tribe of Benjamin, saying, What wickedness is this that is done among you?(KJV-1611) Jdg 20:12 Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou?(Creole-HT) ======= Judges 20:13 ============ Jdg 20:13 Now therefore deliver us the men, the children of Belial, which are in Gibeah, that we may put them to death, and put away evil from Israel. But the children of Benjamin would not hearken to the voice of their brethren the children of Israel.(KJV-1611) Jdg 20:13 Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a.(Creole-HT) ======= Judges 20:14 ============ Jdg 20:14 But the children of Benjamin gathered themselves together out of the cities unto Gibeah, to go out to battle against the children of Israel.(KJV-1611) Jdg 20:14 Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rès pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 20:15 ============ Jdg 20:15 And the children of Benjamin were numbered at that time out of the cities twenty and six thousand men that drew sword, beside the inhabitants of Gibeah, which were numbered seven hundred chosen men.(KJV-1611) Jdg 20:15 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.(Creole-HT) ======= Judges 20:16 ============ Jdg 20:16 Among all this people there were seven hundred chosen men lefthanded; every one could sling stones at an hair breadth, and not miss.(KJV-1611) Jdg 20:16 Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa.(Creole-HT) ======= Judges 20:17 ============ Jdg 20:17 And the men of Israel, beside Benjamin, were numbered four hundred thousand men that drew sword: all these were men of war.(KJV-1611) Jdg 20:17 Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil gason ki te konn goumen.(Creole-HT) ======= Judges 20:18 ============ Jdg 20:18 And the children of Israel arose, and went up to the house of God, and asked counsel of God, and said, Which of us shall go up first to the battle against the children of Benjamin? And the LORD said, Judah shall go up first.(KJV-1611) Jdg 20:18 Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Judges 20:19 ============ Jdg 20:19 And the children of Israel rose up in the morning, and encamped against Gibeah.(KJV-1611) Jdg 20:19 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= Judges 20:20 ============ Jdg 20:20 And the men of Israel went out to battle against Benjamin; and the men of Israel put themselves in array to fight against them at Gibeah.(KJV-1611) Jdg 20:20 Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= Judges 20:21 ============ Jdg 20:21 And the children of Benjamin came forth out of Gibeah, and destroyed down to the ground of the Israelites that day twenty and two thousand men.(KJV-1611) Jdg 20:21 Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil sòlda nan lame pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 20:22 ============ Jdg 20:22 And the people the men of Israel encouraged themselves, and set their battle again in array in the place where they put themselves in array the first day.(KJV-1611) Jdg 20:22 Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen.(Creole-HT) ======= Judges 20:23 ============ Jdg 20:23 (And the children of Israel went up and wept before the LORD until even, and asked counsel of the LORD, saying, Shall I go up again to battle against the children of Benjamin my brother? And the LORD said, Go up against him.)(KJV-1611) Jdg 20:23 Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale.(Creole-HT) ======= Judges 20:24 ============ Jdg 20:24 And the children of Israel came near against the children of Benjamin the second day.(KJV-1611) Jdg 20:24 Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa.(Creole-HT) ======= Judges 20:25 ============ Jdg 20:25 And Benjamin went forth against them out of Gibeah the second day, and destroyed down to the ground of the children of Israel again eighteen thousand men; all these drew the sword.(KJV-1611) Jdg 20:25 Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil solda nan lame pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 20:26 ============ Jdg 20:26 Then all the children of Israel, and all the people, went up, and came unto the house of God, and wept, and sat there before the LORD, and fasted that day until even, and offered burnt offerings and peace offerings before the LORD.(KJV-1611) Jdg 20:26 Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon.(Creole-HT) ======= Judges 20:27 ============ Jdg 20:27 And the children of Israel enquired of the LORD, (for the ark of the covenant of God was there in those days,(KJV-1611) Jdg 20:27 Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.(Creole-HT) ======= Judges 20:28 ============ Jdg 20:28 And Phinehas, the son of Eleazar, the son of Aaron, stood before it in those days,) saying, Shall I yet again go out to battle against the children of Benjamin my brother, or shall I cease? And the LORD said, Go up; for to morrow I will deliver them into thine hand.(KJV-1611) Jdg 20:28 Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.(Creole-HT) ======= Judges 20:29 ============ Jdg 20:29 And Israel set liers in wait round about Gibeah.(KJV-1611) Jdg 20:29 Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a.(Creole-HT) ======= Judges 20:30 ============ Jdg 20:30 And the children of Israel went up against the children of Benjamin on the third day, and put themselves in array against Gibeah, as at other times.(KJV-1611) Jdg 20:30 Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l' anvan an.(Creole-HT) ======= Judges 20:31 ============ Jdg 20:31 And the children of Benjamin went out against the people, and were drawn away from the city; and they began to smite of the people, and kill, as at other times, in the highways, of which one goeth up to the house of God, and the other to Gibeah in the field, about thirty men of Israel.(KJV-1611) Jdg 20:31 Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn.(Creole-HT) ======= Judges 20:32 ============ Jdg 20:32 And the children of Benjamin said, They are smitten down before us, as at the first. But the children of Israel said, Let us flee, and draw them from the city unto the highways.(KJV-1611) Jdg 20:32 Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:33 ============ Jdg 20:33 And all the men of Israel rose up out of their place, and put themselves in array at Baaltamar: and the liers in wait of Israel came forth out of their places, even out of the meadows of Gibeah.(KJV-1611) Jdg 20:33 Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.(Creole-HT) ======= Judges 20:34 ============ Jdg 20:34 And there came against Gibeah ten thousand chosen men out of all Israel, and the battle was sore: but they knew not that evil was near them.(KJV-1611) Jdg 20:34 Dimil bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:35 ============ Jdg 20:35 And the LORD smote Benjamin before Israel: and the children of Israel destroyed of the Benjamites that day twenty and five thousand and an hundred men: all these drew the sword.(KJV-1611) Jdg 20:35 Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san sòlda nan moun Benjamen yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:36 ============ Jdg 20:36 So the children of Benjamin saw that they were smitten: for the men of Israel gave place to the Benjamites, because they trusted unto the liers in wait which they had set beside Gibeah.(KJV-1611) Jdg 20:36 Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a.(Creole-HT) ======= Judges 20:37 ============ Jdg 20:37 And the liers in wait hasted, and rushed upon Gibeah; and the liers in wait drew themselves along, and smote all the city with the edge of the sword.(KJV-1611) Jdg 20:37 Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'.(Creole-HT) ======= Judges 20:38 ============ Jdg 20:38 Now there was an appointed sign between the men of Israel and the liers in wait, that they should make a great flame with smoke rise up out of the city.(KJV-1611) Jdg 20:38 Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la,(Creole-HT) ======= Judges 20:39 ============ Jdg 20:39 And when the men of Israel retired in the battle, Benjamin began to smite and kill of the men of Israel about thirty persons: for they said, Surely they are smitten down before us, as in the first battle.(KJV-1611) Jdg 20:39 moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.(Creole-HT) ======= Judges 20:40 ============ Jdg 20:40 But when the flame began to arise up out of the city with a pillar of smoke, the Benjamites looked behind them, and, behold, the flame of the city ascended up to heaven.(KJV-1611) Jdg 20:40 Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la.(Creole-HT) ======= Judges 20:41 ============ Jdg 20:41 And when the men of Israel turned again, the men of Benjamin were amazed: for they saw that evil was come upon them.(KJV-1611) Jdg 20:41 Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:42 ============ Jdg 20:42 Therefore they turned their backs before the men of Israel unto the way of the wilderness; but the battle overtook them; and them which came out of the cities they destroyed in the midst of them.(KJV-1611) Jdg 20:42 Yo pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pa t' ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap soti lavil la lòt bò. Yo tout mouri.(Creole-HT) ======= Judges 20:43 ============ Jdg 20:43 Thus they inclosed the Benjamites round about, and chased them, and trode them down with ease over against Gibeah toward the sunrising.(KJV-1611) Jdg 20:43 Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Judges 20:44 ============ Jdg 20:44 And there fell of Benjamin eighteen thousand men; all these were men of valour.(KJV-1611) Jdg 20:44 Yo touye dizwitmil moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:45 ============ Jdg 20:45 And they turned and fled toward the wilderness unto the rock of Rimmon: and they gleaned of them in the highways five thousand men; and pursued hard after them unto Gidom, and slew two thousand men of them.(KJV-1611) Jdg 20:45 Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil ladan yo.(Creole-HT) ======= Judges 20:46 ============ Jdg 20:46 So that all which fell that day of Benjamin were twenty and five thousand men that drew the sword; all these were men of valour.(KJV-1611) Jdg 20:46 Jou sa a, yo te touye vennsenkmil moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen.(Creole-HT) ======= Judges 20:47 ============ Jdg 20:47 But six hundred men turned and fled to the wilderness unto the rock Rimmon, and abode in the rock Rimmon four months.(KJV-1611) Jdg 20:47 Men, gen sisan nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa.(Creole-HT) ======= Judges 20:48 ============ Jdg 20:48 And the men of Israel turned again upon the children of Benjamin, and smote them with the edge of the sword, as well the men of every city, as the beast, and all that came to hand: also they set on fire all the cities that they came to.(KJV-1611) Jdg 20:48 Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:1 ============ Jdg 21:1 Now the men of Israel had sworn in Mizpeh, saying, There shall not any of us give his daughter unto Benjamin to wife.(KJV-1611) Jdg 21:1 Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:2 ============ Jdg 21:2 And the people came to the house of God, and abode there till even before God, and lifted up their voices, and wept sore;(KJV-1611) Jdg 21:2 Pèp la moute lavil Betèl, yo chita devan Bwat Kontra Seyè a jouk aswè. Yo t'ap rele, yo t'ap kriye ak gwo dlo nan je yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:3 ============ Jdg 21:3 And said, O LORD God of Israel, why is this come to pass in Israel, that there should be to day one tribe lacking in Israel?(KJV-1611) Jdg 21:3 Yo t'ap di: -Seyè o, Bondye pèp Izrayèl la, poukisa sa rive? Poukisa gen yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki manke jòdi a?(Creole-HT) ======= Judges 21:4 ============ Jdg 21:4 And it came to pass on the morrow, that the people rose early, and built there an altar, and offered burnt offerings and peace offerings.(KJV-1611) Jdg 21:4 Nan denmen, moun yo leve byen bonè, yo bati yon lotèl. Yo boule bèt nan dife nèt sou li, yo fè ofrann pou mande Bondye padon.(Creole-HT) ======= Judges 21:5 ============ Jdg 21:5 And the children of Israel said, Who is there among all the tribes of Israel that came not up with the congregation unto the LORD? For they had made a great oath concerning him that came not up to the LORD to Mizpeh, saying, He shall surely be put to death.(KJV-1611) Jdg 21:5 Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Judges 21:6 ============ Jdg 21:6 And the children of Israel repented them for Benjamin their brother, and said, There is one tribe cut off from Israel this day.(KJV-1611) Jdg 21:6 Men, pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn pou moun Benjamen yo, frè yo. Yo t'ap di: -Wi jòdi a, pèp Izrayèl la pèdi yon branch fanmi vre!(Creole-HT) ======= Judges 21:7 ============ Jdg 21:7 How shall we do for wives for them that remain, seeing we have sworn by the LORD that we will not give them of our daughters to wives?(KJV-1611) Jdg 21:7 Kisa nou pral fè pou ti rès ki rete a ka jwenn fi pou yo marye, paske nou te fè sèman devan Seyè a nou p'ap janm ba yo pitit fi nou yo pou madanm.(Creole-HT) ======= Judges 21:8 ============ Jdg 21:8 And they said, What one is there of the tribes of Israel that came not up to Mizpeh to the LORD? And, behold, there came none to the camp from Jabeshgilead to the assembly.(KJV-1611) Jdg 21:8 Lè sa a, yo mande: -Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' moute lavil Mispa devan Seyè a? Yo jwenn pesonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pa t' vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an.(Creole-HT) ======= Judges 21:9 ============ Jdg 21:9 For the people were numbered, and, behold, there were none of the inhabitants of Jabeshgilead there.(KJV-1611) Jdg 21:9 Lè yo t'ap konte moun ki te la yo, pa t' gen yon moun nan lavil Jabès nan peyi Galarad la.(Creole-HT) ======= Judges 21:10 ============ Jdg 21:10 And the congregation sent thither twelve thousand men of the valiantest, and commanded them, saying, Go and smite the inhabitants of Jabeshgilead with the edge of the sword, with the women and the children.(KJV-1611) Jdg 21:10 Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun.(Creole-HT) ======= Judges 21:11 ============ Jdg 21:11 And this is the thing that ye shall do, Ye shall utterly destroy every male, and every woman that hath lain by man.(KJV-1611) Jdg 21:11 Men sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Judges 21:12 ============ Jdg 21:12 And they found among the inhabitants of Jabeshgilead four hundred young virgins, that had known no man by lying with any male: and they brought them unto the camp to Shiloh, which is in the land of Canaan.(KJV-1611) Jdg 21:12 Nan moun lavil Jabès nan peyi Galarad la, yo jwenn katsan jenn fi ki pa t' janm ko konn gason. Yo mennen yo nan kan an lavil Silo, nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Judges 21:13 ============ Jdg 21:13 And the whole congregation sent some to speak to the children of Benjamin that were in the rock Rimmon, and to call peaceably unto them.(KJV-1611) Jdg 21:13 Lèfini, tout moun ki te sanble yo voye komisyon bay moun Benjamen yo ki te bò Wòch Rimon an. Yo mande yo fè lapè.(Creole-HT) ======= Judges 21:14 ============ Jdg 21:14 And Benjamin came again at that time; and they gave them wives which they had saved alive of the women of Jabeshgilead: and yet so they sufficed them not.(KJV-1611) Jdg 21:14 Moun Benjamen yo tounen, epi lòt moun Izrayèl yo ba yo jenn fi lavil Jabès yo pa t' touye yo pou madanm. Men, pa t' gen ase pou yo tout.(Creole-HT) ======= Judges 21:15 ============ Jdg 21:15 And the people repented them for Benjamin, because that the LORD had made a breach in the tribes of Israel.(KJV-1611) Jdg 21:15 Sa te fè pèp Izrayèl la lapenn anpil pou moun Benjamen yo, paske Seyè a te kraze tèt ansanm ki te gen nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Judges 21:16 ============ Jdg 21:16 Then the elders of the congregation said, How shall we do for wives for them that remain, seeing the women are destroyed out of Benjamin?(KJV-1611) Jdg 21:16 Se konsa chèf ki te la yo di konsa: -Pa gen fanm ankò nan branch fanmi Benjamen an. Kisa nou pral fè la a pou nou bay rès mesye yo fanm pou yo marye?(Creole-HT) ======= Judges 21:17 ============ Jdg 21:17 And they said, There must be an inheritance for them that be escaped of Benjamin, that a tribe be not destroyed out of Israel.(KJV-1611) Jdg 21:17 Yo di ankò: -Pèp Izrayèl la pa ka pèdi yon branch fanmi. Se pou nou jwenn yon mwayen pou branch fanmi Benjamen an ka la toujou.(Creole-HT) ======= Judges 21:18 ============ Jdg 21:18 Howbeit we may not give them wives of our daughters: for the children of Israel have sworn, saying, Cursed be he that giveth a wife to Benjamin.(KJV-1611) Jdg 21:18 Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.(Creole-HT) ======= Judges 21:19 ============ Jdg 21:19 Then they said, Behold, there is a feast of the LORD in Shiloh yearly in a place which is on the north side of Bethel, on the east side of the highway that goeth up from Bethel to Shechem, and on the south of Lebonah.(KJV-1611) Jdg 21:19 Apre sa yo di: -Nan kèk jou, se pral lè pou nou fè gwo fèt nou gen pou nou fè chak lanne pou Seyè a lavil Silo. Lavil Silo sa a te sou bò nò lavil Betèl, sou bò sid lavil Lebona, sou bò solèy kouche wout ki soti Betèl moute Sichèm.(Creole-HT) ======= Judges 21:20 ============ Jdg 21:20 Therefore they commanded the children of Benjamin, saying, Go and lie in wait in the vineyards;(KJV-1611) Jdg 21:20 Yo di moun Benjamen yo: -Al kache nan jaden rezen yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:21 ============ Jdg 21:21 And see, and, behold, if the daughters of Shiloh come out to dance in dances, then come ye out of the vineyards, and catch you every man his wife of the daughters of Shiloh, and go to the land of Benjamin.(KJV-1611) Jdg 21:21 Lè n'a wè jenn fi lavil Silo yo soti pou y' al danse ansanm pandan fèt la, nou menm n'a soti nan jaden rezen yo. Chak moun va pran yonn ladan yo pa fòs, epi n'a ale nan peyi Benjamen avèk yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:22 ============ Jdg 21:22 And it shall be, when their fathers or their brethren come unto us to complain, that we will say unto them, Be favourable unto them for our sakes: because we reserved not to each man his wife in the war: for ye did not give unto them at this time, that ye should be guilty.(KJV-1611) Jdg 21:22 Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pa t' jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pesonn p'ap ka di nou pa t' kenbe sèman nou.(Creole-HT) ======= Judges 21:23 ============ Jdg 21:23 And the children of Benjamin did so, and took them wives, according to their number, of them that danced, whom they caught: and they went and returned unto their inheritance, and repaired the cities, and dwelt in them.(KJV-1611) Jdg 21:23 Mesye Benjamen yo fè sa yo te di yo fè a. Chak mesye yo pran yon fi pami sa ki t'ap danse yo, yo pati ak yo. Yo tounen nan peyi zansèt yo. Yo rebati lavil yo, epi yo rete la.(Creole-HT) ======= Judges 21:24 ============ Jdg 21:24 And the children of Israel departed thence at that time, every man to his tribe and to his family, and they went out from thence every man to his inheritance.(KJV-1611) Jdg 21:24 Lè sa a, rès moun pèp Izrayèl la leve yo pati, yo tounen lakay yo al jwenn fanmi yo, nan pòsyon tè yo te bay zansèt yo.(Creole-HT) ======= Judges 21:25 ============ Jdg 21:25 In those days there was no king in Israel: every man did that which was right in his own eyes.(KJV-1611) Jdg 21:25 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun te fè sa yo pito.(Creole-HT) ======= Ruth 1:1 ============ Rut 1:1 Now it came to pass in the days when the judges ruled, that there was a famine in the land. And a certain man of Bethlehemjudah went to sojourn in the country of Moab, he, and his wife, and his two sons.(KJV-1611) Rut 1:1 Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.(Creole-HT) ======= Ruth 1:2 ============ Rut 1:2 And the name of the man was Elimelech, and the name of his wife Naomi, and the name of his two sons Mahlon and Chilion, Ephrathites of Bethlehemjudah. And they came into the country of Moab, and continued there.(KJV-1611) Rut 1:2 Nonm lan te rele Elimelèk, madanm li te rele Naomi. De pitit gason l' yo te rele Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat la yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo t'ap viv nan peyi Moab la,(Creole-HT) ======= Ruth 1:3 ============ Rut 1:3 And Elimelech Naomi's husband died; and she was left, and her two sons.(KJV-1611) Rut 1:3 Elimelèk mouri, li kite Naomi pou kò l' ak de pitit gason li yo.(Creole-HT) ======= Ruth 1:4 ============ Rut 1:4 And they took them wives of the women of Moab; the name of the one was Orpah, and the name of the other Ruth: and they dwelled there about ten years.(KJV-1611) Rut 1:4 De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Moab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a,(Creole-HT) ======= Ruth 1:5 ============ Rut 1:5 And Mahlon and Chilion died also both of them; and the woman was left of her two sons and her husband.(KJV-1611) Rut 1:5 lè Maklon ak Kiljon tonbe, yo mouri tou. Se konsa Naomi twouve vin pou kont li: li te pèdi ni mari l' ni pitit gason l' yo.(Creole-HT) ======= Ruth 1:6 ============ Rut 1:6 Then she arose with her daughters in law, that she might return from the country of Moab: for she had heard in the country of Moab how that the LORD had visited his people in giving them bread.(KJV-1611) Rut 1:6 Antan Naomi te peyi Moab toujou, li vin pran nouvèl jan Seyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l' pou l' kite peyi Moab ansanm ak de bèlfi li yo.(Creole-HT) ======= Ruth 1:7 ============ Rut 1:7 Wherefore she went forth out of the place where she was, and her two daughters in law with her; and they went on the way to return unto the land of Judah.(KJV-1611) Rut 1:7 Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y' al nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Ruth 1:8 ============ Rut 1:8 And Naomi said unto her two daughters in law, Go, return each to her mother's house: the LORD deal kindly with you, as ye have dealt with the dead, and with me.(KJV-1611) Rut 1:8 Men, antan yo sou wout, Naomi di bèlfi li yo konsa: -Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m' ansanm ak defen yo.(Creole-HT) ======= Ruth 1:9 ============ Rut 1:9 The LORD grant you that ye may find rest, each of you in the house of her husband. Then she kissed them; and they lifted up their voice, and wept.(KJV-1611) Rut 1:9 Mwen mande l' pou l' fè nou chak jwenn yon moun remarye ak nou pou nou ka viv ak kè poze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo li ale. Men, de medam yo pete rele.(Creole-HT) ======= Ruth 1:10 ============ Rut 1:10 And they said unto her, Surely we will return with thee unto thy people.(KJV-1611) Rut 1:10 Yo di l' konsa: -Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.(Creole-HT) ======= Ruth 1:11 ============ Rut 1:11 And Naomi said, Turn again, my daughters: why will ye go with me? are there yet any more sons in my womb, that they may be your husbands?(KJV-1611) Rut 1:11 Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m'? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou?(Creole-HT) ======= Ruth 1:12 ============ Rut 1:12 Turn again, my daughters, go your way; for I am too old to have an husband. If I should say, I have hope, if I should have an husband also to night, and should also bear sons;(KJV-1611) Rut 1:12 Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m' marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m' ta fè pitit gason ankò,(Creole-HT) ======= Ruth 1:13 ============ Rut 1:13 Would ye tarry for them till they were grown? would ye stay for them from having husbands? nay, my daughters; for it grieveth me much for your sakes that the hand of the LORD is gone out against me.(KJV-1611) Rut 1:13 ske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m' yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m' mal anpil pou nou. Men Seyè a fè m' twòp lapenn deja.(Creole-HT) ======= Ruth 1:14 ============ Rut 1:14 And they lifted up their voice, and wept again: and Orpah kissed her mother in law; but Ruth clave unto her.(KJV-1611) Rut 1:14 Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'.(Creole-HT) ======= Ruth 1:15 ============ Rut 1:15 And she said, Behold, thy sister in law is gone back unto her people, and unto her gods: return thou after thy sister in law.(KJV-1611) Rut 1:15 Naomi di l' konsa: -Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen li al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l' non!(Creole-HT) ======= Ruth 1:16 ============ Rut 1:16 And Ruth said, Intreat me not to leave thee, or to return from following after thee: for whither thou goest, I will go; and where thou lodgest, I will lodge: thy people shall be my people, and thy God my God:(KJV-1611) Rut 1:16 Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.(Creole-HT) ======= Ruth 1:17 ============ Rut 1:17 Where thou diest, will I die, and there will I be buried: the LORD do so to me, and more also, if ought but death part thee and me.(KJV-1611) Rut 1:17 Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.(Creole-HT) ======= Ruth 1:18 ============ Rut 1:18 When she saw that she was stedfastly minded to go with her, then she left speaking unto her.(KJV-1611) Rut 1:18 Lè Naomi wè Rit te soti vre pou ale avè l', li pa di l' anyen ankò.(Creole-HT) ======= Ruth 1:19 ============ Rut 1:19 So they two went until they came to Bethlehem. And it came to pass, when they were come to Bethlehem, that all the city was moved about them, and they said, Is this Naomi?(KJV-1611) Rut 1:19 Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: -Ou kwè se Naomi sa?(Creole-HT) ======= Ruth 1:20 ============ Rut 1:20 And she said unto them, Call me not Naomi, call me Mara: for the Almighty hath dealt very bitterly with me.(KJV-1611) Rut 1:20 reponn yo: -Tanpri, pa rele m' Naomi. Pito nou rele m' Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m' soufri anpil.(Creole-HT) ======= Ruth 1:21 ============ Rut 1:21 I went out full and the LORD hath brought me home again empty: why then call ye me Naomi, seeing the LORD hath testified against me, and the Almighty hath afflicted me?(KJV-1611) Rut 1:21 Lè m' te pati isit la, mwen te gen tou sa m' te bezwen. Men jòdi a, Seyè a mennen m' tounen de men m' de pye m'. Poukisa pou n'ap rele m' Naomi toujou lè Seyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?(Creole-HT) ======= Ruth 1:22 ============ Rut 1:22 So Naomi returned, and Ruth the Moabitess, her daughter in law, with her, which returned out of the country of Moab: and they came to Bethlehem in the beginning of barley harvest.(KJV-1611) Rut 1:22 Se konsa Naomi tounen soti nan peyi Moab ansanm ak bèlfi li, Rit, moun peyi Moab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt grenn lòj te fèk konmanse.(Creole-HT) ======= Ruth 2:1 ============ Rut 2:1 And Naomi had a kinsman of her husband's, a mighty man of wealth, of the family of Elimelech; and his name was Boaz.(KJV-1611) Rut 2:1 Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an.(Creole-HT) ======= Ruth 2:2 ============ Rut 2:2 And Ruth the Moabitess said unto Naomi, Let me now go to the field, and glean ears of corn after him in whose sight I shall find grace. And she said unto her, Go, my daughter.(KJV-1611) Rut 2:2 Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.(Creole-HT) ======= Ruth 2:3 ============ Rut 2:3 And she went, and came, and gleaned in the field after the reapers: and her hap was to light on a part of the field belonging unto Boaz, who was of the kindred of Elimelech.(KJV-1611) Rut 2:3 Se konsa, Rit leve, li al nan jaden yo, li pran mache dèyè travayè yo, li t'ap ranmase tèt lòj yo te kite tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk la.(Creole-HT) ======= Ruth 2:4 ============ Rut 2:4 And, behold, Boaz came from Bethlehem, and said unto the reapers, The LORD be with you. And they answered him, The LORD bless thee.(KJV-1611) Rut 2:4 Li te la depi kèk tan lè Bòz rive soti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: -Seyè a avèk nou! Yo reponn li: -benediksyon Seyè a avè ou tou!(Creole-HT) ======= Ruth 2:5 ============ Rut 2:5 Then said Boaz unto his servant that was set over the reapers, Whose damsel is this?(KJV-1611) Rut 2:5 Bòz mande kontwòlè a: -Ki jenn ti madanm sa a?(Creole-HT) ======= Ruth 2:6 ============ Rut 2:6 And the servant that was set over the reapers answered and said, It is the Moabitish damsel that came back with Naomi out of the country of Moab:(KJV-1611) Rut 2:6 Nonm lan reponn: -Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Naomi lè li te tounen soti nan peyi Moab.(Creole-HT) ======= Ruth 2:7 ============ Rut 2:7 And she said, I pray you, let me glean and gather after the reapers among the sheaves: so she came, and hath continued even from the morning until now, that she tarried a little in the house.(KJV-1611) Rut 2:7 Li te mande m' pou m' kite l' mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l' la a depi maten. Li fèk sispann pou l' pran yon ti repo anba tonèl lan la a.(Creole-HT) ======= Ruth 2:8 ============ Rut 2:8 Then said Boaz unto Ruth, Hearest thou not, my daughter? Go not to glean in another field, neither go from hence, but abide here fast by my maidens:(KJV-1611) Rut 2:8 Lè sa a, Bòz di Rit konsa: -M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la.(Creole-HT) ======= Ruth 2:9 ============ Rut 2:9 Let thine eyes be on the field that they do reap, and go thou after them: have I not charged the young men that they shall not touch thee? and when thou art athirst, go unto the vessels, and drink of that which the young men have drawn.(KJV-1611) Rut 2:9 Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye m' yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa w'a swaf dlo, ou mèt al bwè nan kannari yo plen pou sa.(Creole-HT) ======= Ruth 2:10 ============ Rut 2:10 Then she fell on her face, and bowed herself to the ground, and said unto him, Why have I found grace in thine eyes, that thou shouldest take knowledge of me, seeing I am a stranger?(KJV-1611) Rut 2:10 Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l' konsa: -Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?(Creole-HT) ======= Ruth 2:11 ============ Rut 2:11 And Boaz answered and said unto her, It hath fully been shewed me, all that thou hast done unto thy mother in law since the death of thine husband: and how thou hast left thy father and thy mother, and the land of thy nativity, and art come unto a people which thou knewest not heretofore.(KJV-1611) Rut 2:11 Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.(Creole-HT) ======= Ruth 2:12 ============ Rut 2:12 The LORD recompense thy work, and a full reward be given thee of the LORD God of Israel, under whose wings thou art come to trust.(KJV-1611) Rut 2:12 Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!(Creole-HT) ======= Ruth 2:13 ============ Rut 2:13 Then she said, Let me find favour in thy sight, my lord; for that thou hast comforted me, and for that thou hast spoken friendly unto thine handmaid, though I be not like unto one of thine handmaidens.(KJV-1611) Rut 2:13 Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.(Creole-HT) ======= Ruth 2:14 ============ Rut 2:14 And Boaz said unto her, At mealtime come thou hither, and eat of the bread, and dip thy morsel in the vinegar. And she sat beside the reapers: and he reached her parched corn, and she did eat, and was sufficed, and left.(KJV-1611) Rut 2:14 Lè lè pou yo manje a rive, Bòz di Rit konsa: -Pwoche non! Pran yon moso pen, tranpe l' nan sòs vinèg la pou ou manje! Se konsa Rit vin chita ansanm ak lòt travayè yo. Bòz te ba li kèk grenn lòj griye tou. Rit manje plen vant li, epi rès manje ki te rete a, li sere l'.(Creole-HT) ======= Ruth 2:15 ============ Rut 2:15 And when she was risen up to glean, Boaz commanded his young men, saying, Let her glean even among the sheaves, and reproach her not:(KJV-1611) Rut 2:15 Lè Rit leve al ranmase, Bòz bay travayè yo lòd sa a: -Nou mèt kite l' ranmase grenn menm kote pakèt mare yo ye a. Pa chache l' kont.(Creole-HT) ======= Ruth 2:16 ============ Rut 2:16 And let fall also some of the handfuls of purpose for her, and leave them, that she may glean them, and rebuke her not.(KJV-1611) Rut 2:16 Okontrè, rache kèk tèt nan pakèt mare yo, lage yo atè pou l' ka ranmase. Pa di l' anyen, tande!(Creole-HT) ======= Ruth 2:17 ============ Rut 2:17 So she gleaned in the field until even, and beat out that she had gleaned: and it was about an ephah of barley.(KJV-1611) Rut 2:17 Se konsa Rit rete ranmase grap lòj nan jaden an jouk solèy kouche. Lè li fin bat tèt lòj yo, li jwenn sa ki te manke l' pou l' te gen vennsenk ti mamit la pa t' anyen.(Creole-HT) ======= Ruth 2:18 ============ Rut 2:18 And she took it up, and went into the city: and her mother in law saw what she had gleaned: and she brought forth, and gave to her that she had reserved after she was sufficed.(KJV-1611) Rut 2:18 Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.(Creole-HT) ======= Ruth 2:19 ============ Rut 2:19 And her mother in law said unto her, Where hast thou gleaned to day? and where wroughtest thou? blessed be he that did take knowledge of thee. And she shewed her mother in law with whom she had wrought, and said, The man's name with whom I wrought to day is Boaz.(KJV-1611) Rut 2:19 Naomi mande l': -Kote ou ranmase tout lòj sa a jòdi a? Nan jaden ki moun ou t'ap travay, en? Se pou Bondye beni moun ki fè sa pou ou a! Lè sa a, Rit di bèlmè li konsa li t'ap travay nan jaden yon msye yo rele Bòz.(Creole-HT) ======= Ruth 2:20 ============ Rut 2:20 And Naomi said unto her daughter in law, Blessed be he of the LORD, who hath not left off his kindness to the living and to the dead. And Naomi said unto her, The man is near of kin unto us, one of our next kinsmen.(KJV-1611) Rut 2:20 Naomi di bèlfi li a: -benediksyon Seyè a pou Bòz! Wi. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Naomi di ankò: -Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.(Creole-HT) ======= Ruth 2:21 ============ Rut 2:21 And Ruth the Moabitess said, He said unto me also, Thou shalt keep fast by my young men, until they have ended all my harvest.(KJV-1611) Rut 2:21 Lè sa a, Rit di konsa: -Men sa l' di m' ankò: Se pou m' rete ranmase tèt lòj ansanm ak travayè li yo jouk rekòt la fini.(Creole-HT) ======= Ruth 2:22 ============ Rut 2:22 And Naomi said unto Ruth her daughter in law, It is good, my daughter, that thou go out with his maidens, that they meet thee not in any other field.(KJV-1611) Rut 2:22 Naomi reponn li: -Wi, pitit mwen! Pito ou rete travay avèk medam yo nan jaden Bòz la, tande. Si ou ale nan jaden lòt moun, malè ka rive ou.(Creole-HT) ======= Ruth 2:23 ============ Rut 2:23 So she kept fast by the maidens of Boaz to glean unto the end of barley harvest and of wheat harvest; and dwelt with her mother in law.(KJV-1611) Rut 2:23 Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou.(Creole-HT) ======= Ruth 3:1 ============ Rut 3:1 Then Naomi her mother in law said unto her, My daughter, shall I not seek rest for thee, that it may be well with thee?(KJV-1611) Rut 3:1 Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou?(Creole-HT) ======= Ruth 3:2 ============ Rut 3:2 And now is not Boaz of our kindred, with whose maidens thou wast? Behold, he winnoweth barley to night in the threshingfloor.(KJV-1611) Rut 3:2 Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo.(Creole-HT) ======= Ruth 3:3 ============ Rut 3:3 Wash thyself therefore, and anoint thee, and put thy raiment upon thee, and get thee down to the floor: but make not thyself known unto the man, until he shall have done eating and drinking.(KJV-1611) Rut 3:3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.(Creole-HT) ======= Ruth 3:4 ============ Rut 3:4 And it shall be, when he lieth down, that thou shalt mark the place where he shall lie, and thou shalt go in, and uncover his feet, and lay thee down; and he will tell thee what thou shalt do.(KJV-1611) Rut 3:4 Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa.(Creole-HT) ======= Ruth 3:5 ============ Rut 3:5 And she said unto her, All that thou sayest unto me I will do.(KJV-1611) Rut 3:5 Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè.(Creole-HT) ======= Ruth 3:6 ============ Rut 3:6 And she went down unto the floor, and did according to all that her mother in law bade her.(KJV-1611) Rut 3:6 Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a.(Creole-HT) ======= Ruth 3:7 ============ Rut 3:7 And when Boaz had eaten and drunk, and his heart was merry, he went to lie down at the end of the heap of corn: and she came softly, and uncovered his feet, and laid her down.(KJV-1611) Rut 3:7 Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'.(Creole-HT) ======= Ruth 3:8 ============ Rut 3:8 And it came to pass at midnight, that the man was afraid, and turned himself: and, behold, a woman lay at his feet.(KJV-1611) Rut 3:8 Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'.(Creole-HT) ======= Ruth 3:9 ============ Rut 3:9 And he said, Who art thou? And she answered, I am Ruth thine handmaid: spread therefore thy skirt over thine handmaid; for thou art a near kinsman.(KJV-1611) Rut 3:9 Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= Ruth 3:10 ============ Rut 3:10 And he said, Blessed be thou of the LORD, my daughter: for thou hast shewed more kindness in the latter end than at the beginning, inasmuch as thou followedst not young men, whether poor or rich.(KJV-1611) Rut 3:10 Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'.(Creole-HT) ======= Ruth 3:11 ============ Rut 3:11 And now, my daughter, fear not; I will do to thee all that thou requirest: for all the city of my people doth know that thou art a virtuous woman.(KJV-1611) Rut 3:11 Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total.(Creole-HT) ======= Ruth 3:12 ============ Rut 3:12 And now it is true that I am thy near kinsman: howbeit there is a kinsman nearer than I.(KJV-1611) Rut 3:12 Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'.(Creole-HT) ======= Ruth 3:13 ============ Rut 3:13 Tarry this night, and it shall be in the morning, that if he will perform unto thee the part of a kinsman, well; let him do the kinsman's part: but if he will not do the part of a kinsman to thee, then will I do the part of a kinsman to thee, as the LORD liveth: lie down until the morning.(KJV-1611) Rut 3:13 Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten.(Creole-HT) ======= Ruth 3:14 ============ Rut 3:14 And she lay at his feet until the morning: and she rose up before one could know another. And he said, Let it not be known that a woman came into the floor.(KJV-1611) Rut 3:14 Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la.(Creole-HT) ======= Ruth 3:15 ============ Rut 3:15 Also he said, Bring the vail that thou hast upon thee, and hold it. And when she held it, he measured six measures of barley, and laid it on her: and she went into the city.(KJV-1611) Rut 3:15 Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la.(Creole-HT) ======= Ruth 3:16 ============ Rut 3:16 And when she came to her mother in law, she said, Who art thou, my daughter? And she told her all that the man had done to her.(KJV-1611) Rut 3:16 Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li.(Creole-HT) ======= Ruth 3:17 ============ Rut 3:17 And she said, These six measures of barley gave he me; for he said to me, Go not empty unto thy mother in law.(KJV-1611) Rut 3:17 Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo.(Creole-HT) ======= Ruth 3:18 ============ Rut 3:18 Then said she, Sit still, my daughter, until thou know how the matter will fall: for the man will not be in rest, until he have finished the thing this day.(KJV-1611) Rut 3:18 Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.(Creole-HT) ======= Ruth 4:1 ============ Rut 4:1 Then went Boaz up to the gate, and sat him down there: and, behold, the kinsman of whom Boaz spake came by; unto whom he said, Ho, such a one! turn aside, sit down here. And he turned aside, and sat down.(KJV-1611) Rut 4:1 Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.(Creole-HT) ======= Ruth 4:2 ============ Rut 4:2 And he took ten men of the elders of the city, and said, Sit ye down here. And they sat down.(KJV-1611) Rut 4:2 Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita,(Creole-HT) ======= Ruth 4:3 ============ Rut 4:3 And he said unto the kinsman, Naomi, that is come again out of the country of Moab, selleth a parcel of land, which was our brother Elimelech's:(KJV-1611) Rut 4:3 li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: -Naomi tounen soti nan peyi Moab. Koulye a, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an.(Creole-HT) ======= Ruth 4:4 ============ Rut 4:4 And I thought to advertise thee, saying, Buy it before the inhabitants, and before the elders of my people. If thou wilt redeem it, redeem it: but if thou wilt not redeem it, then tell me, that I may know: for there is none to redeem it beside thee; and I am after thee. And he said, I will redeem it.(KJV-1611) Rut 4:4 Mwen kwè se devwa m' pou m' fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di l' devan dis mesye chèf yo ki chita la a, paske se ou menm an premye lalwa rekonèt dwa sa a. Konsa tou, si ou pa vle, ou mèt di l', paske apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di l': -M'ap achte l'.(Creole-HT) ======= Ruth 4:5 ============ Rut 4:5 Then said Boaz, What day thou buyest the field of the hand of Naomi, thou must buy it also of Ruth the Moabitess, the wife of the dead, to raise up the name of the dead upon his inheritance.(KJV-1611) Rut 4:5 Lè sa a Bòz di l': -Bon. Mwen byen kontan. Men, si ou achte jaden an nan men Naomi ak Rit, ti fanm peyi Moab la, vèv pitit Elimelèk la, se pou Rit vin madanm ou tou pou non fanmi defen an pa pèdi, epi pou tè a ka rete nan fanmi defen an tou.(Creole-HT) ======= Ruth 4:6 ============ Rut 4:6 And the kinsman said, I cannot redeem it for myself, lest I mar mine own inheritance: redeem thou my right to thyself; for I cannot redeem it.(KJV-1611) Rut 4:6 Lè sa a, nonm lan reponn: -Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m' achte l', pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l' ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.(Creole-HT) ======= Ruth 4:7 ============ Rut 4:7 Now this was the manner in former time in Israel concerning redeeming and concerning changing, for to confirm all things; a man plucked off his shoe, and gave it to his neighbour: and this was a testimony in Israel.(KJV-1611) Rut 4:7 Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gen dwa a wete yon grenn sapat nan pye l', li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt.(Creole-HT) ======= Ruth 4:8 ============ Rut 4:8 Therefore the kinsman said unto Boaz, Buy it for thee. So he drew off his shoe.(KJV-1611) Rut 4:8 Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l', li lonje l' bay Bòz.(Creole-HT) ======= Ruth 4:9 ============ Rut 4:9 And Boaz said unto the elders, and unto all the people, Ye are witnesses this day, that I have bought all that was Elimelech's, and all that was Chilion's and Mahlon's, of the hand of Naomi.(KJV-1611) Rut 4:9 Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: -Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m' dwa achte nan men Naomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l' yo, Maklon ak Kiljon.(Creole-HT) ======= Ruth 4:10 ============ Rut 4:10 Moreover Ruth the Moabitess, the wife of Mahlon, have I purchased to be my wife, to raise up the name of the dead upon his inheritance, that the name of the dead be not cut off from among his brethren, and from the gate of his place: ye are witnesses this day.(KJV-1611) Rut 4:10 An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.(Creole-HT) ======= Ruth 4:11 ============ Rut 4:11 And all the people that were in the gate, and the elders, said, We are witnesses. The LORD make the woman that is come into thine house like Rachel and like Leah, which two did build the house of Israel: and do thou worthily in Ephratah, and be famous in Bethlehem:(KJV-1611) Rut 4:11 Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= Ruth 4:12 ============ Rut 4:12 And let thy house be like the house of Pharez, whom Tamar bare unto Judah, of the seed which the LORD shall give thee of this young woman.(KJV-1611) Rut 4:12 Se pou pitit Seyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè onè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l' pou fanmi l'.(Creole-HT) ======= Ruth 4:13 ============ Rut 4:13 So Boaz took Ruth, and she was his wife: and when he went in unto her, the LORD gave her conception, and she bare a son.(KJV-1611) Rut 4:13 Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Seyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Ruth 4:14 ============ Rut 4:14 And the women said unto Naomi, Blessed be the LORD, which hath not left thee this day without a kinsman, that his name may be famous in Israel.(KJV-1611) Rut 4:14 Medam lavil yo di Naomi konsa: -Lwanj pou Seyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l' nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ruth 4:15 ============ Rut 4:15 And he shall be unto thee a restorer of thy life, and a nourisher of thine old age: for thy daughter in law, which loveth thee, which is better to thee than seven sons, hath born him.(KJV-1611) Rut 4:15 Bèlfi ou la gen tan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Koulye a, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou.(Creole-HT) ======= Ruth 4:16 ============ Rut 4:16 And Naomi took the child, and laid it in her bosom, and became nurse unto it.(KJV-1611) Rut 4:16 Naomi pran ti bebe a, li kenbe l' lakay li, li pran swen li tankou pitit li.(Creole-HT) ======= Ruth 4:17 ============ Rut 4:17 And the women her neighbours gave it a name, saying, There is a son born to Naomi; and they called his name Obed: he is the father of Jesse, the father of David.(KJV-1611) Rut 4:17 Medam yo ki rete nan vwazinaj la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Naomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.(Creole-HT) ======= Ruth 4:18 ============ Rut 4:18 Now these are the generations of Pharez: Pharez begat Hezron,(KJV-1611) Rut 4:18 Men non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon,(Creole-HT) ======= Ruth 4:19 ============ Rut 4:19 And Hezron begat Ram, and Ram begat Amminadab,(KJV-1611) Rut 4:19 Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad,(Creole-HT) ======= Ruth 4:20 ============ Rut 4:20 And Amminadab begat Nahshon, and Nahshon begat Salmon,(KJV-1611) Rut 4:20 Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon,(Creole-HT) ======= Ruth 4:21 ============ Rut 4:21 And Salmon begat Boaz, and Boaz begat Obed,(KJV-1611) Rut 4:21 Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd,(Creole-HT) ======= Ruth 4:22 ============ Rut 4:22 And Obed begat Jesse, and Jesse begat David.(KJV-1611) Rut 4:22 Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:1 ============ 1Sa 1:1 Now there was a certain man of Ramathaimzophim, of mount Ephraim, and his name was Elkanah, the son of Jeroham, the son of Elihu, the son of Tohu, the son of Zuph, an Ephrathite:(KJV-1611) 1Sa 1:1 Te gen yon nonm, moun branch fanmi Efrayim, ki te rele Elkana. Li te rete lavil Rama nan mòn peyi Efrayim. Se te pitit Jewokam, pitit pitit Eliyou, nan fanmi Tokou, nan branch fanmi Zouf la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:2 ============ 1Sa 1:2 And he had two wives; the name of the one was Hannah, and the name of the other Peninnah: and Peninnah had children, but Hannah had no children.(KJV-1611) 1Sa 1:2 Elkana te gen de madanm, yonn te rele Ana, lòt la te rele Penina. Penina te fè pitit pou li. Men, Ana pa t' gen pitit.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:3 ============ 1Sa 1:3 And this man went up out of his city yearly to worship and to sacrifice unto the LORD of hosts in Shiloh. And the two sons of Eli, Hophni and Phinehas, the priests of the LORD, were there.(KJV-1611) 1Sa 1:3 Chak lanne, Elkana soti lavil Rama, li moute lavil Silo pou l' al fè sèvis pou Seyè ki gen tout pou vwa a, pou l' touye bèt pou li. Se de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, ki te prèt Seyè a lavil Silo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:4 ============ 1Sa 1:4 And when the time was that Elkanah offered, he gave to Peninnah his wife, and to all her sons and her daughters, portions:(KJV-1611) 1Sa 1:4 Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Seyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:5 ============ 1Sa 1:5 But unto Hannah he gave a worthy portion; for he loved Hannah: but the LORD had shut up her womb.(KJV-1611) 1Sa 1:5 Men, li te bay Ana yon pòsyon doub, paske li te renmen l' anpil, atout Seyè a pa t' ba li pitit.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:6 ============ 1Sa 1:6 And her adversary also provoked her sore, for to make her fret, because the LORD had shut up her womb.(KJV-1611) 1Sa 1:6 Penina menm te toujou ap giyonnen Ana pou fè l' wont, paske Seyè a pa t' ba li pitit.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:7 ============ 1Sa 1:7 And as he did so year by year, when she went up to the house of the LORD, so she provoked her; therefore she wept, and did not eat.(KJV-1611) 1Sa 1:7 Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l' fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:8 ============ 1Sa 1:8 Then said Elkanah her husband to her, Hannah, why weepest thou? and why eatest thou not? and why is thy heart grieved? am not I better to thee than ten sons?(KJV-1611) 1Sa 1:8 Elkana, mari li, di l' konsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:9 ============ 1Sa 1:9 So Hannah rose up after they had eaten in Shiloh, and after they had drunk. Now Eli the priest sat upon a seat by a post of the temple of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 1:9 Yon lè yo te lavil Silo, apre yo te fin manje, yo te fin bwè, Ana leve. Eli, prèt la, te chita sou chèz li bò pòtay Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:10 ============ 1Sa 1:10 And she was in bitterness of soul, and prayed unto the LORD, and wept sore.(KJV-1611) 1Sa 1:10 Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:11 ============ 1Sa 1:11 And she vowed a vow, and said, O LORD of hosts, if thou wilt indeed look on the affliction of thine handmaid, and remember me, and not forget thine handmaid, but wilt give unto thine handmaid a man child, then I will give him unto the LORD all the days of his life, and there shall no razor come upon his head.(KJV-1611) 1Sa 1:11 Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:12 ============ 1Sa 1:12 And it came to pass, as she continued praying before the LORD, that Eli marked her mouth.(KJV-1611) 1Sa 1:12 Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:13 ============ 1Sa 1:13 Now Hannah, she spake in her heart; only her lips moved, but her voice was not heard: therefore Eli thought she had been drunken.(KJV-1611) 1Sa 1:13 Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l'. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pa t' ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:14 ============ 1Sa 1:14 And Eli said unto her, How long wilt thou be drunken? put away thy wine from thee.(KJV-1611) 1Sa 1:14 Li di l' konsa: -Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Soti al desoule ou yon lòt kote!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:15 ============ 1Sa 1:15 And Hannah answered and said, No, my lord, I am a woman of a sorrowful spirit: I have drunk neither wine nor strong drink, but have poured out my soul before the LORD.(KJV-1611) 1Sa 1:15 Ana reponn li: -Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni ankenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m' bay Seyè a. Se rakonte m'ap rakonte Seyè a lapenn mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:16 ============ 1Sa 1:16 Count not thine handmaid for a daughter of Belial: for out of the abundance of my complaint and grief have I spoken hitherto.(KJV-1611) 1Sa 1:16 Tanpri, mèt! Pa pran m' pou yon fanm lib! Kifè m'ap pale konsa, se paske mwen nan gwo tèt chaje. Chagren ap touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:17 ============ 1Sa 1:17 Then Eli answered and said, Go in peace: and the God of Israel grant thee thy petition that thou hast asked of him.(KJV-1611) 1Sa 1:17 Lè sa a, Eli reponn li: -Ale ak kè poze. Mwen mande Bondye pèp Izrayèl la pou l' ba ou sa ou mande l' la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:18 ============ 1Sa 1:18 And she said, Let thine handmaid find grace in thy sight. So the woman went her way, and did eat, and her countenance was no more sad.(KJV-1611) 1Sa 1:18 Ana reponn li: -M' espere ou p'ap janm bliye m'! Epi li leve, l' al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa t' menm moun lan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:19 ============ 1Sa 1:19 And they rose up in the morning early, and worshipped before the LORD, and returned, and came to their house to Ramah: and Elkanah knew Hannah his wife; and the LORD remembered her.(KJV-1611) 1Sa 1:19 Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:20 ============ 1Sa 1:20 Wherefore it came to pass, when the time was come about after Hannah had conceived, that she bare a son, and called his name Samuel, saying, Because I have asked him of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 1:20 Se konsa Ana vin ansent. Lè lè a rive pou l' akouche, li fè yon pitit gason. Li rele l' Samyèl, paske li te di: Mwen te mande Seyè a li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:21 ============ 1Sa 1:21 And the man Elkanah, and all his house, went up to offer unto the LORD the yearly sacrifice, and his vow.(KJV-1611) 1Sa 1:21 Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Seyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:22 ============ 1Sa 1:22 But Hannah went not up; for she said unto her husband, I will not go up until the child be weaned, and then I will bring him, that he may appear before the LORD, and there abide for ever.(KJV-1611) 1Sa 1:22 Men Ana pa t' ale. Li di mari l' konsa: -Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l' nan Tanp Seyè a kote li pral rete pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:23 ============ 1Sa 1:23 And Elkanah her husband said unto her, Do what seemeth thee good; tarry until thou have weaned him; only the LORD establish his word. So the woman abode, and gave her son suck until she weaned him.(KJV-1611) 1Sa 1:23 Elkana, mari li, di l': -Fè sa ou wè ki pi bon an. Rete non jouk w'a fin sevre l'. Tansèlman, se pou Seyè a fè sa li te di a rive vre. Se konsa Ana rete pou l' pran swen ti bebe a jouk li sevre l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:24 ============ 1Sa 1:24 And when she had weaned him, she took him up with her, with three bullocks, and one ephah of flour, and a bottle of wine, and brought him unto the house of the LORD in Shiloh: and the child was young.(KJV-1611) 1Sa 1:24 Apre li fin sevre pitit la, li mennen l' lavil Silo. Li te pran avè l' yon ti towo bèf twazan, yon barik farin, yon sak an po bèt plen diven. Li mennen ti gason an nan tanp Seyè a, lavil Silo, atout li te tou piti toujou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:25 ============ 1Sa 1:25 And they slew a bullock, and brought the child to Eli.(KJV-1611) 1Sa 1:25 Yo touye ti towo a, epi yo mennen ti gason an bay Eli.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:26 ============ 1Sa 1:26 And she said, Oh my lord, as thy soul liveth, my lord, I am the woman that stood by thee here, praying unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 1:26 Ana di l': -Eskize m' wi, mèt. Ou pa chonje ki moun mwen ye? Menm jan ou vivan an, se mwen menm fanm ou te wè ki te kanpe bò kote ou la yon jou ap lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:27 ============ 1Sa 1:27 For this child I prayed; and the LORD hath given me my petition which I asked of him:(KJV-1611) 1Sa 1:27 Mwen te mande l' pou l' te ban mwen pitit gason sa a. Li ban mwen sa m' te mande l' la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 1:28 ============ 1Sa 1:28 Therefore also I have lent him to the LORD; as long as he liveth he shall be lent to the LORD. And he worshipped the LORD there.(KJV-1611) 1Sa 1:28 Se konsa m' vin mete l' apa pou l' ka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:1 ============ 1Sa 2:1 And Hannah prayed, and said, My heart rejoiceth in the LORD, mine horn is exalted in the LORD: my mouth is enlarged over mine enemies; because I rejoice in thy salvation.(KJV-1611) 1Sa 2:1 Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:2 ============ 1Sa 2:2 There is none holy as the LORD: for there is none beside thee: neither is there any rock like our God.(KJV-1611) 1Sa 2:2 Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:3 ============ 1Sa 2:3 Talk no more so exceeding proudly; let not arrogancy come out of your mouth: for the LORD is a God of knowledge, and by him actions are weighed.(KJV-1611) 1Sa 2:3 Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:4 ============ 1Sa 2:4 The bows of the mighty men are broken, and they that stumbled are girded with strength.(KJV-1611) 1Sa 2:4 L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:5 ============ 1Sa 2:5 They that were full have hired out themselves for bread; and they that were hungry ceased: so that the barren hath born seven; and she that hath many children is waxed feeble.(KJV-1611) 1Sa 2:5 Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:6 ============ 1Sa 2:6 The LORD killeth, and maketh alive: he bringeth down to the grave, and bringeth up.(KJV-1611) 1Sa 2:6 Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:7 ============ 1Sa 2:7 The LORD maketh poor, and maketh rich: he bringeth low, and lifteth up.(KJV-1611) 1Sa 2:7 Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:8 ============ 1Sa 2:8 He raiseth up the poor out of the dust, and lifteth up the beggar from the dunghill, to set them among princes, and to make them inherit the throne of glory: for the pillars of the earth are the LORD's, and he hath set the world upon them.(KJV-1611) 1Sa 2:8 Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:9 ============ 1Sa 2:9 He will keep the feet of his saints, and the wicked shall be silent in darkness; for by strength shall no man prevail.(KJV-1611) 1Sa 2:9 L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:10 ============ 1Sa 2:10 The adversaries of the LORD shall be broken to pieces; out of heaven shall he thunder upon them: the LORD shall judge the ends of the earth; and he shall give strength unto his king, and exalt the horn of his anointed.(KJV-1611) 1Sa 2:10 Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:11 ============ 1Sa 2:11 And Elkanah went to Ramah to his house. And the child did minister unto the LORD before Eli the priest.(KJV-1611) 1Sa 2:11 Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l' te sèvi Seyè a sou zòd Eli, prèt la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:12 ============ 1Sa 2:12 Now the sons of Eli were sons of Belial; they knew not the LORD.(KJV-1611) 1Sa 2:12 Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:13 ============ 1Sa 2:13 And the priest's custom with the people was, that, when any man offered sacrifice, the priest's servant came, while the flesh was in seething, with a fleshhook of three teeth in his hand;(KJV-1611) 1Sa 2:13 ni yo pa t' aji jan prèt yo fèt pou aji ak pèp la. Chak fwa yon nonm t'ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini avèk yon gwo fouchèt twa dan nan men l'. Antan vyann lan ap kwit nan dife a,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:14 ============ 1Sa 2:14 And he struck it into the pan, or kettle, or caldron, or pot; all that the fleshhook brought up the priest took for himself. So they did in Shiloh unto all the Israelites that came thither.(KJV-1611) 1Sa 2:14 li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:15 ============ 1Sa 2:15 Also before they burnt the fat, the priest's servant came, and said to the man that sacrificed, Give flesh to roast for the priest; for he will not have sodden flesh of thee, but raw.(KJV-1611) 1Sa 2:15 Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t'ap ofri bèt yo te touye a konsa: -Ban m' moso vyann pou prèt la fè woti. Li p'ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:16 ============ 1Sa 2:16 And if any man said unto him, Let them not fail to burn the fat presently, and then take as much as thy soul desireth; then he would answer him, Nay; but thou shalt give it me now: and if not, I will take it by force.(KJV-1611) 1Sa 2:16 Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l': -Non! Ban mwen l' koulye a. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l' ak fòs pa m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:17 ============ 1Sa 2:17 Wherefore the sin of the young men was very great before the LORD: for men abhorred the offering of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 2:17 Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t' respekte ofrann yo te fè pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:18 ============ 1Sa 2:18 But Samuel ministered before the LORD, being a child, girded with a linen ephod.(KJV-1611) 1Sa 2:18 Ti Samyèl menm t'ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:19 ============ 1Sa 2:19 Moreover his mother made him a little coat, and brought it to him from year to year, when she came up with her husband to offer the yearly sacrifice.(KJV-1611) 1Sa 2:19 Chak lanne manman l' te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l' ba li lè li moute ak mari l' pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:20 ============ 1Sa 2:20 And Eli blessed Elkanah and his wife, and said, The LORD give thee seed of this woman for the loan which is lent to the LORD. And they went unto their own home.(KJV-1611) 1Sa 2:20 Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M'ap lapriyè Seyè a pou l' ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyè a. Apre sa yo tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:21 ============ 1Sa 2:21 And the LORD visited Hannah, so that she conceived, and bare three sons and two daughters. And the child Samuel grew before the LORD.(KJV-1611) 1Sa 2:21 Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:22 ============ 1Sa 2:22 Now Eli was very old, and heard all that his sons did unto all Israel; and how they lay with the women that assembled at the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) 1Sa 2:22 Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:23 ============ 1Sa 2:23 And he said unto them, Why do ye such things? for I hear of your evil dealings by all this people.(KJV-1611) 1Sa 2:23 Lè sa a, li di yo konsa: -Poukisa n'ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y'ap di sou nou nan pèp la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:24 ============ 1Sa 2:24 Nay, my sons; for it is no good report that I hear: ye make the LORD's people to transgress.(KJV-1611) 1Sa 2:24 Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:25 ============ 1Sa 2:25 If one man sin against another, the judge shall judge him: but if a man sin against the LORD, who shall intreat for him? Notwithstanding they hearkened not unto the voice of their father, because the LORD would slay them.(KJV-1611) 1Sa 2:25 Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:26 ============ 1Sa 2:26 And the child Samuel grew on, and was in favour both with the LORD, and also with men.(KJV-1611) 1Sa 2:26 Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:27 ============ 1Sa 2:27 And there came a man of God unto Eli, and said unto him, Thus saith the LORD, Did I plainly appear unto the house of thy father, when they were in Egypt in Pharaoh's house?(KJV-1611) 1Sa 2:27 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:28 ============ 1Sa 2:28 And did I choose him out of all the tribes of Israel to be my priest, to offer upon mine altar, to burn incense, to wear an ephod before me? and did I give unto the house of thy father all the offerings made by fire of the children of Israel?(KJV-1611) 1Sa 2:28 Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:29 ============ 1Sa 2:29 Wherefore kick ye at my sacrifice and at mine offering, which I have commanded in my habitation; and honourest thy sons above me, to make yourselves fat with the chiefest of all the offerings of Israel my people?(KJV-1611) 1Sa 2:29 Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:30 ============ 1Sa 2:30 Wherefore the LORD God of Israel saith, I said indeed that thy house, and the house of thy father, should walk before me for ever: but now the LORD saith, Be it far from me; for them that honour me I will honour, and they that despise me shall be lightly esteemed.(KJV-1611) 1Sa 2:30 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:31 ============ 1Sa 2:31 Behold, the days come, that I will cut off thine arm, and the arm of thy father's house, that there shall not be an old man in thine house.(KJV-1611) 1Sa 2:31 Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:32 ============ 1Sa 2:32 And thou shalt see an enemy in my habitation, in all the wealth which God shall give Israel: and there shall not be an old man in thine house for ever.(KJV-1611) 1Sa 2:32 Lespri ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:33 ============ 1Sa 2:33 And the man of thine, whom I shall not cut off from mine altar, shall be to consume thine eyes, and to grieve thine heart: and all the increase of thine house shall die in the flower of their age.(KJV-1611) 1Sa 2:33 M'ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m' prèt. Men, l'ap pèdi de grenn je l' yo, epi lapenn ap fini avè l'. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:34 ============ 1Sa 2:34 And this shall be a sign unto thee, that shall come upon thy two sons, on Hophni and Phinehas; in one day they shall die both of them.(KJV-1611) 1Sa 2:34 Lè w'a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w'a konnen sa m' te di a se vre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:35 ============ 1Sa 2:35 And I will raise me up a faithful priest, that shall do according to that which is in mine heart and in my mind: and I will build him a sure house; and he shall walk before mine anointed for ever.(KJV-1611) 1Sa 2:35 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 2:36 ============ 1Sa 2:36 And it shall come to pass, that every one that is left in thine house shall come and crouch to him for a piece of silver and a morsel of bread, and shall say, Put me, I pray thee, into one of the priests' offices, that I may eat a piece of bread.(KJV-1611) 1Sa 2:36 Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l' yon ti lajan ak yon ti manje, l'a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l' ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l' manje.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:1 ============ 1Sa 3:1 And the child Samuel ministered unto the LORD before Eli. And the word of the LORD was precious in those days; there was no open vision.(KJV-1611) 1Sa 3:1 Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Seyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t' fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:2 ============ 1Sa 3:2 And it came to pass at that time, when Eli was laid down in his place, and his eyes began to wax dim, that he could not see;(KJV-1611) 1Sa 3:2 Je Eli yo te fin bese, li pa t' ka wè ladan yo ankò. Yon jou lannwit, Eli te kouche nan chanm li ap dòmi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:3 ============ 1Sa 3:3 And ere the lamp of God went out in the temple of the LORD, where the ark of God was, and Samuel was laid down to sleep;(KJV-1611) 1Sa 3:3 Samyèl menm te kouche nan Tanp Seyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:4 ============ 1Sa 3:4 That the LORD called Samuel: and he answered, Here am I.(KJV-1611) 1Sa 3:4 Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:5 ============ 1Sa 3:5 And he ran unto Eli, and said, Here am I; for thou calledst me. And he said, I called not; lie down again. And he went and lay down.(KJV-1611) 1Sa 3:5 Epi li leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! M' tande ou rele m'! Eli reponn li: -Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:6 ============ 1Sa 3:6 And the LORD called yet again, Samuel. And Samuel arose and went to Eli, and said, Here am I; for thou didst call me. And he answered, I called not, my son; lie down again.(KJV-1611) 1Sa 3:6 Seyè a rele l' ankò. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! Mwen tande ou rele m'! Men, Eli reponn li: -Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:7 ============ 1Sa 3:7 Now Samuel did not yet know the LORD, neither was the word of the LORD yet revealed unto him.(KJV-1611) 1Sa 3:7 Samyèl pa t' ankò konnen Seyè a paske Seyè a pa t' ankò janm pale avè l' anvan sa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:8 ============ 1Sa 3:8 And the LORD called Samuel again the third time. And he arose and went to Eli, and said, Here am I; for thou didst call me. And Eli perceived that the LORD had called the child.(KJV-1611) 1Sa 3:8 Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, epi li di l': -Mwen tande ou rele m'. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t'ap rele ti gason an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:9 ============ 1Sa 3:9 Therefore Eli said unto Samuel, Go, lie down: and it shall be, if he call thee, that thou shalt say, Speak, LORD; for thy servant heareth. So Samuel went and lay down in his place.(KJV-1611) 1Sa 3:9 Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:10 ============ 1Sa 3:10 And the LORD came, and stood, and called as at other times, Samuel, Samuel. Then Samuel answered, Speak; for thy servant heareth.(KJV-1611) 1Sa 3:10 Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:11 ============ 1Sa 3:11 And the LORD said to Samuel, Behold, I will do a thing in Israel, at which both the ears of every one that heareth it shall tingle.(KJV-1611) 1Sa 3:11 Seyè a di l' konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:12 ============ 1Sa 3:12 In that day I will perform against Eli all things which I have spoken concerning his house: when I begin, I will also make an end.(KJV-1611) 1Sa 3:12 Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l' yo pral rive vre san manke yonn.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:13 ============ 1Sa 3:13 For I have told him that I will judge his house for ever for the iniquity which he knoweth; because his sons made themselves vile, and he restrained them not.(KJV-1611) 1Sa 3:13 Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:14 ============ 1Sa 3:14 And therefore I have sworn unto the house of Eli, that the iniquity of Eli's house shall not be purged with sacrifice nor offering for ever.(KJV-1611) 1Sa 3:14 Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen ankenn bèt yo ka touye ni ankenn ofrann ki ka fè m' padonnen peche yo fè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:15 ============ 1Sa 3:15 And Samuel lay until the morning, and opened the doors of the house of the LORD. And Samuel feared to shew Eli the vision.(KJV-1611) 1Sa 3:15 Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:16 ============ 1Sa 3:16 Then Eli called Samuel, and said, Samuel, my son. And he answered, Here am I.(KJV-1611) 1Sa 3:16 Men Eli rele l': -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:17 ============ 1Sa 3:17 And he said, What is the thing that the LORD hath said unto thee? I pray thee hide it not from me: God do so to thee, and more also, if thou hide any thing from me of all the things that he said unto thee.(KJV-1611) 1Sa 3:17 Eli mande l': -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m' anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m' anyen nan sa li di ou la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:18 ============ 1Sa 3:18 And Samuel told him every whit, and hid nothing from him. And he said, It is the LORD: let him do what seemeth him good.(KJV-1611) 1Sa 3:18 Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:19 ============ 1Sa 3:19 And Samuel grew, and the LORD was with him, and did let none of his words fall to the ground.(KJV-1611) 1Sa 3:19 Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:20 ============ 1Sa 3:20 And all Israel from Dan even to Beersheba knew that Samuel was established to be a prophet of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 3:20 Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 3:21 ============ 1Sa 3:21 And the LORD appeared again in Shiloh: for the LORD revealed himself to Samuel in Shiloh by the word of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 3:21 Seyè a menm te toujou ap parèt lavil Silo, paske se la li te konn fè Samyèl wè li, se la li te konn pale ak li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:1 ============ 1Sa 4:1 And the word of Samuel came to all Israel. Now Israel went out against the Philistines to battle, and pitched beside Ebenezer: and the Philistines pitched in Aphek.(KJV-1611) 1Sa 4:1 Chak fwa Samyèl te pale tout pèp la te koute l'. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pou y' al goumen ak moun Filisti yo. Konsa, yo moute kan yo bò lavil Ebenezè. Moun Filisti yo menm moute kan pa yo lavil Afèk.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:2 ============ 1Sa 4:2 And the Philistines put themselves in array against Israel: and when they joined battle, Israel was smitten before the Philistines: and they slew of the army in the field about four thousand men.(KJV-1611) 1Sa 4:2 Moun Filisti yo pran pozisyon anfas moun Izrayèl yo pou yo goumen. Epi batay la konmanse. Moun Filisti yo bat moun Izrayèl yo byen bat, yo touye katmil moun konsa nan plenn kote yo t'ap goumen an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:3 ============ 1Sa 4:3 And when the people were come into the camp, the elders of Israel said, Wherefore hath the LORD smitten us to day before the Philistines? Let us fetch the ark of the covenant of the LORD out of Shiloh unto us, that, when it cometh among us, it may save us out of the hand of our enemies.(KJV-1611) 1Sa 4:3 Lè sa a, sa ki te chape yo tounen nan kan yo a, tout chèf ki te reskonsab pèp Izrayèl la di: -Poukisa Seyè a kite moun Filisti yo bat nou konsa jòdi a? Ann al pran Bwat Kontra Seyè a ki lavil Silo pou li ka nan mitan nou. Konsa l'a delivre nou anba men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:4 ============ 1Sa 4:4 So the people sent to Shiloh, that they might bring from thence the ark of the covenant of the LORD of hosts, which dwelleth between the cherubims: and the two sons of Eli, Hophni and Phinehas, were there with the ark of the covenant of God.(KJV-1611) 1Sa 4:4 Se konsa yo voye kèk moun lavil Silo. Yo pran Bwat Kontra Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Yo pote l' vini. Tout de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te la ansanm ak Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:5 ============ 1Sa 4:5 And when the ark of the covenant of the LORD came into the camp, all Israel shouted with a great shout, so that the earth rang again.(KJV-1611) 1Sa 4:5 Lè Bwat Kontra Seyè a rive nan kan an, tout moun Izrayèl yo bay yon sèl gwo rèl, tè a tranble.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:6 ============ 1Sa 4:6 And when the Philistines heard the noise of the shout, they said, What meaneth the noise of this great shout in the camp of the Hebrews? And they understood that the ark of the LORD was come into the camp.(KJV-1611) 1Sa 4:6 Moun Filisti yo tande rèl la, yo di: -Pouki tout gwo rèl sa a nan kan moun Izrayèl yo? Lè yo vin konnen se Bwat Kontra Seyè a ki te rive nan kan an,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:7 ============ 1Sa 4:7 And the Philistines were afraid, for they said, God is come into the camp. And they said, Woe unto us! for there hath not been such a thing heretofore.(KJV-1611) 1Sa 4:7 yo vin pè, yo t'ap di: -Bondye moun sa yo rive nan kan yo a. Nou nan ka, devenn pa nou! Bagay konsa pa janm rive nou anvan sa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:8 ============ 1Sa 4:8 Woe unto us! who shall deliver us out of the hand of these mighty Gods? these are the Gods that smote the Egyptians with all the plagues in the wilderness.(KJV-1611) 1Sa 4:8 Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:9 ============ 1Sa 4:9 Be strong and quit yourselves like men, O ye Philistines, that ye be not servants unto the Hebrews, as they have been to you: quit yourselves like men, and fight.(KJV-1611) 1Sa 4:9 Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n' goumen tankou vanyan gason!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:10 ============ 1Sa 4:10 And the Philistines fought, and Israel was smitten, and they fled every man into his tent: and there was a very great slaughter; for there fell of Israel thirty thousand footmen.(KJV-1611) 1Sa 4:10 Moun Filisti yo goumen rèd mare, yo bat moun Izrayèl yo ki kouri chape al lakay yo. Se te yon gwo kou pou pèp Izrayèl la. Te gen trantmil sòlda apye ki te mouri nan lame pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:11 ============ 1Sa 4:11 And the ark of God was taken; and the two sons of Eli, Hophni and Phinehas, were slain.(KJV-1611) 1Sa 4:11 Moun Filisti yo te sezi Bwat Kontra Bondye a epi tou de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:12 ============ 1Sa 4:12 And there ran a man of Benjamin out of the army, and came to Shiloh the same day with his clothes rent, and with earth upon his head.(KJV-1611) 1Sa 4:12 Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:13 ============ 1Sa 4:13 And when he came, lo, Eli sat upon a seat by the wayside watching: for his heart trembled for the ark of God. And when the man came into the city, and told it, all the city cried out.(KJV-1611) 1Sa 4:13 Eli menm te chita sou chèz li a bò wout la ap veye paske kè l' pa t' poze pou Bwat Kontra Bondye a. Nonm lan lage nouvèl la nan tout lavil la. Tout moun t'ap pouse rèl tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:14 ============ 1Sa 4:14 And when Eli heard the noise of the crying, he said, What meaneth the noise of this tumult? And the man came in hastily, and told Eli.(KJV-1611) 1Sa 4:14 Eli tande bri a, li mande: -Pouki tout bri sa a? Nonm lan kouri pote nouvèl la bay Eli.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:15 ============ 1Sa 4:15 Now Eli was ninety and eight years old; and his eyes were dim, that he could not see.(KJV-1611) 1Sa 4:15 Eli te gen katrevendizwitan sou tèt li, li pa t' wè menm nan je l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:16 ============ 1Sa 4:16 And the man said unto Eli, I am he that came out of the army, and I fled to day out of the army. And he said, What is there done, my son?(KJV-1611) 1Sa 4:16 Nonm lan di Eli konsa: -Mwen fèk soti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m' nan batay la vin isit la. Eli di l': -Ki jan sa pase, pitit mwen!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:17 ============ 1Sa 4:17 And the messenger answered and said, Israel is fled before the Philistines, and there hath been also a great slaughter among the people, and thy two sons also, Hophni and Phinehas, are dead, and the ark of God is taken.(KJV-1611) 1Sa 4:17 Mesaje a reponn, li di l' konsa: -Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:18 ============ 1Sa 4:18 And it came to pass, when he made mention of the ark of God, that he fell from off the seat backward by the side of the gate, and his neck brake, and he died: for he was an old man, and heavy. And he had judged Israel forty years.(KJV-1611) 1Sa 4:18 Nonmen nonm lan nonmen Bwat Kontra a, Eli sot tonbe sou chèz la, li blayi atè devan pòtay la. Li te fin granmoun epi li te gwo anpil. Nwa kou l' kase sèk, li mouri. Li te pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:19 ============ 1Sa 4:19 And his daughter in law, Phinehas' wife, was with child, near to be delivered: and when she heard the tidings that the ark of God was taken, and that her father in law and her husband were dead, she bowed herself and travailed; for her pains came upon her.(KJV-1611) 1Sa 4:19 Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l' akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l' ansanm ak mari l' te mouri, lamenm tranche pran l', li akouche.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:20 ============ 1Sa 4:20 And about the time of her death the women that stood by her said unto her, Fear not; for thou hast born a son. But she answered not, neither did she regard it.(KJV-1611) 1Sa 4:20 Men, medam ki te la avè l' yo wè l'ap mouri, yo di l' konsa: -Pran kouraj, machè! Ou fè yon pitit gason. Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:21 ============ 1Sa 4:21 And she named the child Ichabod, saying, The glory is departed from Israel: because the ark of God was taken, and because of her father in law and her husband.(KJV-1611) 1Sa 4:21 Li rele ti gason an Ikabòd, epi li di: -Pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a. Li t'ap di sa akòz Bwat Kontra Bondye yo te sezi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 4:22 ============ 1Sa 4:22 And she said, The glory is departed from Israel: for the ark of God is taken.(KJV-1611) 1Sa 4:22 Li t'ap di: -Wi, avèk Bwat Kontra Bondye yo pran an, pèp Izrayèl la pèdi lasistans pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:1 ============ 1Sa 5:1 And the Philistines took the ark of God, and brought it from Ebenezer unto Ashdod.(KJV-1611) 1Sa 5:1 Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l' ale lavil Asdòd.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:2 ============ 1Sa 5:2 When the Philistines took the ark of God, they brought it into the house of Dagon, and set it by Dagon.(KJV-1611) 1Sa 5:2 Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:3 ============ 1Sa 5:3 And when they of Ashdod arose early on the morrow, behold, Dagon was fallen upon his face to the earth before the ark of the LORD. And they took Dagon, and set him in his place again.(KJV-1611) 1Sa 5:3 Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:4 ============ 1Sa 5:4 And when they arose early on the morrow morning, behold, Dagon was fallen upon his face to the ground before the ark of the LORD; and the head of Dagon and both the palms of his hands were cut off upon the threshold; only the stump of Dagon was left to him.(KJV-1611) 1Sa 5:4 Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:5 ============ 1Sa 5:5 Therefore neither the priests of Dagon, nor any that come into Dagon's house, tread on the threshold of Dagon in Ashdod unto this day.(KJV-1611) 1Sa 5:5 Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:6 ============ 1Sa 5:6 But the hand of the LORD was heavy upon them of Ashdod, and he destroyed them, and smote them with emerods, even Ashdod and the coasts thereof.(KJV-1611) 1Sa 5:6 Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:7 ============ 1Sa 5:7 And when the men of Ashdod saw that it was so, they said, The ark of the God of Israel shall not abide with us: for his hand is sore upon us, and upon Dagon our god.(KJV-1611) 1Sa 5:7 Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:8 ============ 1Sa 5:8 They sent therefore and gathered all the lords of the Philistines unto them, and said, What shall we do with the ark of the God of Israel? And they answered, Let the ark of the God of Israel be carried about unto Gath. And they carried the ark of the God of Israel about thither.(KJV-1611) 1Sa 5:8 Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:9 ============ 1Sa 5:9 And it was so, that, after they had carried it about, the hand of the LORD was against the city with a very great destruction: and he smote the men of the city, both small and great, and they had emerods in their secret parts.(KJV-1611) 1Sa 5:9 Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:10 ============ 1Sa 5:10 Therefore they sent the ark of God to Ekron. And it came to pass, as the ark of God came to Ekron, that the Ekronites cried out, saying, They have brought about the ark of the God of Israel to us, to slay us and our people.(KJV-1611) 1Sa 5:10 Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:11 ============ 1Sa 5:11 So they sent and gathered together all the lords of the Philistines, and said, Send away the ark of the God of Israel, and let it go again to his own place, that it slay us not, and our people: for there was a deadly destruction throughout all the city; the hand of God was very heavy there.(KJV-1611) 1Sa 5:11 Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 5:12 ============ 1Sa 5:12 And the men that died not were smitten with the emerods: and the cry of the city went up to heaven.(KJV-1611) 1Sa 5:12 Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:1 ============ 1Sa 6:1 And the ark of the LORD was in the country of the Philistines seven months.(KJV-1611) 1Sa 6:1 Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:2 ============ 1Sa 6:2 And the Philistines called for the priests and the diviners, saying, What shall we do to the ark of the LORD? tell us wherewith we shall send it to his place.(KJV-1611) 1Sa 6:2 Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:3 ============ 1Sa 6:3 And they said, If ye send away the ark of the God of Israel, send it not empty; but in any wise return him a trespass offering: then ye shall be healed, and it shall be known to you why his hand is not removed from you.(KJV-1611) 1Sa 6:3 Yo reponn: -Si n'ap voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen, nou pa ka voye l' konsa san anyen. Se pou nou voye kichòy ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a. Si nou fè l' konsa, nou tout n'a geri, epi n'a konnen poukisa li t'ap plede frape nou konsa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:4 ============ 1Sa 6:4 Then said they, What shall be the trespass offering which we shall return to him? They answered, Five golden emerods, and five golden mice, according to the number of the lords of the Philistines: for one plague was on you all, and on your lords.(KJV-1611) 1Sa 6:4 Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:5 ============ 1Sa 6:5 Wherefore ye shall make images of your emerods, and images of your mice that mar the land; and ye shall give glory unto the God of Israel: peradventure he will lighten his hand from off you, and from off your gods, and from off your land.(KJV-1611) 1Sa 6:5 N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:6 ============ 1Sa 6:6 Wherefore then do ye harden your hearts, as the Egyptians and Pharaoh hardened their hearts? when he had wrought wonderfully among them, did they not let the people go, and they departed?(KJV-1611) 1Sa 6:6 Poukisa pou n'ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fè wout yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:7 ============ 1Sa 6:7 Now therefore make a new cart, and take two milch kine, on which there hath come no yoke, and tie the kine to the cart, and bring their calves home from them:(KJV-1611) 1Sa 6:7 Nou pral pare yon kabwa tou nèf ak de manman bèf ki gen pitit dèyè yo epi ki pa janm sèvi pou fè ankenn travay anvan sa. N'a mare yo nan kabwa a, men n'a fè ti bèf dèyè manman yo tounen lakay.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:8 ============ 1Sa 6:8 And take the ark of the LORD, and lay it upon the cart; and put the jewels of gold, which ye return him for a trespass offering, in a coffer by the side thereof; and send it away, that it may go.(KJV-1611) 1Sa 6:8 N'a pran Bwat Kontra Seyè a, n'a mete l' sou kabwa a. N'a pran sa n'ap bay pou sèvi pou peye pou sa nou fè a, n'a mete yo nan yon ti bwat sou kote l'. N'a mete kabwa a sou wout la, n'a kite l' ale pou kont li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:9 ============ 1Sa 6:9 And see, if it goeth up by the way of his own coast to Bethshemesh, then he hath done us this great evil: but if not, then we shall know that it is not his hand that smote us: it was a chance that happened to us.(KJV-1611) 1Sa 6:9 N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:10 ============ 1Sa 6:10 And the men did so; and took two milch kine, and tied them to the cart, and shut up their calves at home:(KJV-1611) 1Sa 6:10 Moun yo fè sa yo te di yo fè a. Yo pran de manman bèf ki te gen pitit dèyè yo, yo mare yo nan kabwa a, men yo kenbe ti bèf ki te dèyè manman yo lakay.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:11 ============ 1Sa 6:11 And they laid the ark of the LORD upon the cart, and the coffer with the mice of gold and the images of their emerods.(KJV-1611) 1Sa 6:11 Yo mete Bwat Kontra a sou kabwa a ansanm ak ti bwat ki te gen ti sourit an lò yo ak pòtre bouton yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:12 ============ 1Sa 6:12 And the kine took the straight way to the way of Bethshemesh, and went along the highway, lowing as they went, and turned not aside to the right hand or to the left; and the lords of the Philistines went after them unto the border of Bethshemesh.(KJV-1611) 1Sa 6:12 Bèf yo pran wout lavil Bèt-Chemèch dirèk dirèk. Y' al tou dwat devan yo. Sou tout wout la bèf yo t'ap rele. Senk chèf moun Filisti yo t'ap mache dèyè yo jouk yo rive sou baliz lavil Bèt-Chemèch.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:13 ============ 1Sa 6:13 And they of Bethshemesh were reaping their wheat harvest in the valley: and they lifted up their eyes, and saw the ark, and rejoiced to see it.(KJV-1611) 1Sa 6:13 Moun lavil Bèt-Chemèch yo t'ap ranmase ble nan plenn lan. Lè yo leve je yo, yo wè Bwat Kontra a, yo pran rele sitèlman yo te kontan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:14 ============ 1Sa 6:14 And the cart came into the field of Joshua, a Bethshemite, and stood there, where there was a great stone: and they clave the wood of the cart, and offered the kine a burnt offering unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 6:14 Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:15 ============ 1Sa 6:15 And the Levites took down the ark of the LORD, and the coffer that was with it, wherein the jewels of gold were, and put them on the great stone: and the men of Bethshemesh offered burnt offerings and sacrificed sacrifices the same day unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 6:15 Apre sa, moun Levi yo desann Bwat Kontra Seyè a ansanm ak ti bwat ki te gen bagay an lò yo. Yo mete yo sou gwo wòch la. Jou sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo ofri lòt bèt tou pou boule nèt nan dife ansanm ak lòt ofrann pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:16 ============ 1Sa 6:16 And when the five lords of the Philistines had seen it, they returned to Ekron the same day.(KJV-1611) 1Sa 6:16 Lè senk chèf moun Filisti yo wè sa, yo tounen lavil Ekwon menm jou a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:17 ============ 1Sa 6:17 And these are the golden emerods which the Philistines returned for a trespass offering unto the LORD; for Ashdod one, for Gaza one, for Askelon one, for Gath one, for Ekron one;(KJV-1611) 1Sa 6:17 Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:18 ============ 1Sa 6:18 And the golden mice, according to the number of all the cities of the Philistines belonging to the five lords, both of fenced cities, and of country villages, even unto the great stone of Abel, whereon they set down the ark of the LORD: which stone remaineth unto this day in the field of Joshua, the Bethshemite.(KJV-1611) 1Sa 6:18 Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:19 ============ 1Sa 6:19 And he smote the men of Bethshemesh, because they had looked into the ark of the LORD, even he smote of the people fifty thousand and threescore and ten men: and the people lamented, because the LORD had smitten many of the people with a great slaughter.(KJV-1611) 1Sa 6:19 Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:20 ============ 1Sa 6:20 And the men of Bethshemesh said, Who is able to stand before this holy LORD God? and to whom shall he go up from us?(KJV-1611) 1Sa 6:20 Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 6:21 ============ 1Sa 6:21 And they sent messengers to the inhabitants of Kirjathjearim, saying, The Philistines have brought again the ark of the LORD; come ye down, and fetch it up to you.(KJV-1611) 1Sa 6:21 Yo pran kèk mesaje, yo voye yo ale bò kote moun lavil Kiriyat-Jearim, yo di yo konsa: -Moun Filisti yo voye Bwat Kontra Seyè a tounen. Vin pran l' mennen lakay nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:1 ============ 1Sa 7:1 And the men of Kirjathjearim came, and fetched up the ark of the LORD, and brought it into the house of Abinadab in the hill, and sanctified Eleazar his son to keep the ark of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 7:1 Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyè a. Yo mete l' lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:2 ============ 1Sa 7:2 And it came to pass, while the ark abode in Kirjathjearim, that the time was long; for it was twenty years: and all the house of Israel lamented after the LORD.(KJV-1611) 1Sa 7:2 Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:3 ============ 1Sa 7:3 And Samuel spake unto all the house of Israel, saying, If ye do return unto the LORD with all your hearts, then put away the strange gods and Ashtaroth from among you, and prepare your hearts unto the LORD, and serve him only: and he will deliver you out of the hand of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 7:3 Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:4 ============ 1Sa 7:4 Then the children of Israel did put away Baalim and Ashtaroth, and served the LORD only.(KJV-1611) 1Sa 7:4 Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:5 ============ 1Sa 7:5 And Samuel said, Gather all Israel to Mizpeh, and I will pray for you unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 7:5 Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:6 ============ 1Sa 7:6 And they gathered together to Mizpeh, and drew water, and poured it out before the LORD, and fasted on that day, and said there, We have sinned against the LORD. And Samuel judged the children of Israel in Mizpeh.(KJV-1611) 1Sa 7:6 Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:7 ============ 1Sa 7:7 And when the Philistines heard that the children of Israel were gathered together to Mizpeh, the lords of the Philistines went up against Israel. And when the children of Israel heard it, they were afraid of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 7:7 Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:8 ============ 1Sa 7:8 And the children of Israel said to Samuel, Cease not to cry unto the LORD our God for us, that he will save us out of the hand of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 7:8 Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:9 ============ 1Sa 7:9 And Samuel took a sucking lamb, and offered it for a burnt offering wholly unto the LORD: and Samuel cried unto the LORD for Israel; and the LORD heard him.(KJV-1611) 1Sa 7:9 Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:10 ============ 1Sa 7:10 And as Samuel was offering up the burnt offering, the Philistines drew near to battle against Israel: but the LORD thundered with a great thunder on that day upon the Philistines, and discomfited them; and they were smitten before Israel.(KJV-1611) 1Sa 7:10 Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:11 ============ 1Sa 7:11 And the men of Israel went out of Mizpeh, and pursued the Philistines, and smote them, until they came under Bethcar.(KJV-1611) 1Sa 7:11 Moun Izrayèl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bètka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:12 ============ 1Sa 7:12 Then Samuel took a stone, and set it between Mizpeh and Shen, and called the name of it Ebenezer, saying, Hitherto hath the LORD helped us.(KJV-1611) 1Sa 7:12 Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:13 ============ 1Sa 7:13 So the Philistines were subdued, and they came no more into the coast of Israel: and the hand of the LORD was against the Philistines all the days of Samuel.(KJV-1611) 1Sa 7:13 Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:14 ============ 1Sa 7:14 And the cities which the Philistines had taken from Israel were restored to Israel, from Ekron even unto Gath; and the coasts thereof did Israel deliver out of the hands of the Philistines. And there was peace between Israel and the Amorites.(KJV-1611) 1Sa 7:14 Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:15 ============ 1Sa 7:15 And Samuel judged Israel all the days of his life.(KJV-1611) 1Sa 7:15 Samyèl gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:16 ============ 1Sa 7:16 And he went from year to year in circuit to Bethel, and Gilgal, and Mizpeh, and judged Israel in all those places.(KJV-1611) 1Sa 7:16 Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 7:17 ============ 1Sa 7:17 And his return was to Ramah; for there was his house; and there he judged Israel; and there he built an altar unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 7:17 Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:1 ============ 1Sa 8:1 And it came to pass, when Samuel was old, that he made his sons judges over Israel.(KJV-1611) 1Sa 8:1 Lè Samyèl konmanse granmoun, li mete pitit gason l' yo pou gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:2 ============ 1Sa 8:2 Now the name of his firstborn was Joel; and the name of his second, Abiah: they were judges in Beersheba.(KJV-1611) 1Sa 8:2 Pi gran an te rele Joèl, piti a te rele Abija. Se lavil Bècheba yo t'ap gouvènen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:3 ============ 1Sa 8:3 And his sons walked not in his ways, but turned aside after lucre, and took bribes, and perverted judgment.(KJV-1611) 1Sa 8:3 Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:4 ============ 1Sa 8:4 Then all the elders of Israel gathered themselves together, and came to Samuel unto Ramah,(KJV-1611) 1Sa 8:4 Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y' al jwenn Samyèl lavil Rama.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:5 ============ 1Sa 8:5 And said unto him, Behold, thou art old, and thy sons walk not in thy ways: now make us a king to judge us like all the nations.(KJV-1611) 1Sa 8:5 Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:6 ============ 1Sa 8:6 But the thing displeased Samuel, when they said, Give us a king to judge us. And Samuel prayed unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 8:6 Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:7 ============ 1Sa 8:7 And the LORD said unto Samuel, Hearken unto the voice of the people in all that they say unto thee: for they have not rejected thee, but they have rejected me, that I should not reign over them.(KJV-1611) 1Sa 8:7 Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. Paske se pa ou menm y'ap voye jete, se mwen menm menm y'ap voye jete. Yo pa vle m' pou wa yo ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:8 ============ 1Sa 8:8 According to all the works which they have done since the day that I brought them up out of Egypt even unto this day, wherewith they have forsaken me, and served other gods, so do they also unto thee.(KJV-1611) 1Sa 8:8 Depi lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la, se sa ase y'ap fè m'. Y'ap vire do ban mwen, y'ap sèvi lòt bondye. Se menm bagay la y'ap fè ou jòdi a tou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:9 ============ 1Sa 8:9 Now therefore hearken unto their voice: howbeit yet protest solemnly unto them, and shew them the manner of the king that shall reign over them.(KJV-1611) 1Sa 8:9 Se poutèt sa, koute sa y'ap di ou. Tansèlman, avèti yo pou mwen. Tou fè yo konnen ki jan yon wa pral boule ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:10 ============ 1Sa 8:10 And Samuel told all the words of the LORD unto the people that asked of him a king.(KJV-1611) 1Sa 8:10 Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:11 ============ 1Sa 8:11 And he said, This will be the manner of the king that shall reign over you: He will take your sons, and appoint them for himself, for his chariots, and to be his horsemen; and some shall run before his chariots.(KJV-1611) 1Sa 8:11 Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Gen en ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Gen en ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:12 ============ 1Sa 8:12 And he will appoint him captains over thousands, and captains over fifties; and will set them to ear his ground, and to reap his harvest, and to make his instruments of war, and instruments of his chariots.(KJV-1611) 1Sa 8:12 L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:13 ============ 1Sa 8:13 And he will take your daughters to be confectionaries, and to be cooks, and to be bakers.(KJV-1611) 1Sa 8:13 L'ap pran pitit fi nou yo pou fè odè, pou fè manje ak pou fè pen pou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:14 ============ 1Sa 8:14 And he will take your fields, and your vineyards, and your oliveyards, even the best of them, and give them to his servants.(KJV-1611) 1Sa 8:14 L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:15 ============ 1Sa 8:15 And he will take the tenth of your seed, and of your vineyards, and give to his officers, and to his servants.(KJV-1611) 1Sa 8:15 L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:16 ============ 1Sa 8:16 And he will take your menservants, and your maidservants, and your goodliest young men, and your asses, and put them to his work.(KJV-1611) 1Sa 8:16 L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:17 ============ 1Sa 8:17 He will take the tenth of your sheep: and ye shall be his servants.(KJV-1611) 1Sa 8:17 L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:18 ============ 1Sa 8:18 And ye shall cry out in that day because of your king which ye shall have chosen you; and the LORD will not hear you in that day.(KJV-1611) 1Sa 8:18 Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:19 ============ 1Sa 8:19 Nevertheless the people refused to obey the voice of Samuel; and they said, Nay; but we will have a king over us;(KJV-1611) 1Sa 8:19 Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:20 ============ 1Sa 8:20 That we also may be like all the nations; and that our king may judge us, and go out before us, and fight our battles.(KJV-1611) 1Sa 8:20 pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:21 ============ 1Sa 8:21 And Samuel heard all the words of the people, and he rehearsed them in the ears of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 8:21 Samyèl tande tou sa pèp la t'ap di. L' ale rapòte yo bay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 8:22 ============ 1Sa 8:22 And the LORD said to Samuel, Hearken unto their voice, and make them a king. And Samuel said unto the men of Israel, Go ye every man unto his city.(KJV-1611) 1Sa 8:22 Lè sa a, Seyè a reponn li: -Ou mèt fè sa yo di a. Ba yo yon wa pou gouvènen yo. Epi Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Tout moun mèt tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:1 ============ 1Sa 9:1 Now there was a man of Benjamin, whose name was Kish, the son of Abiel, the son of Zeror, the son of Bechorath, the son of Aphiah, a Benjamite, a mighty man of power.(KJV-1611) 1Sa 9:1 Te gen yon nonm nan branch fanmi Benjamen an yo te rele Kich. Se te pitit Abiyèl, pitit pitit Zewò ki te pitit Bekora, pitit pitit Afya. Kich te yon grannèg.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:2 ============ 1Sa 9:2 And he had a son, whose name was Saul, a choice young man, and a goodly: and there was not among the children of Israel a goodlier person than he: from his shoulders and upward he was higher than any of the people.(KJV-1611) 1Sa 9:2 Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pèp Izrayèl la ki te pi bèl pase l'. Li te pi wo pase yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:3 ============ 1Sa 9:3 And the asses of Kish Saul's father were lost. And Kish said to Saul his son, Take now one of the servants with thee, and arise, go seek the asses.(KJV-1611) 1Sa 9:3 Kich te gen kèk manman bourik ki te pèdi. Li di Sayil konsa: -Pran yonn nan domestik yo avè ou, al bouske manman bourik yo pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:4 ============ 1Sa 9:4 And he passed through mount Ephraim, and passed through the land of Shalisha, but they found them not: then they passed through the land of Shalim, and there they were not: and he passed through the land of the Benjamites, but they found them not.(KJV-1611) 1Sa 9:4 Yo mache nan tout mòn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y' ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y' ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:5 ============ 1Sa 9:5 And when they were come to the land of Zuph, Saul said to his servant that was with him, Come, and let us return; lest my father leave caring for the asses, and take thought for us.(KJV-1611) 1Sa 9:5 Lè yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avè l' la: -Ann tounen lakay pou papa m' pa gen tèt chaje pou nou jouk pou l' ta rive bliye bourik li yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:6 ============ 1Sa 9:6 And he said unto him, Behold now, there is in this city a man of God, and he is an honourable man; all that he saith cometh surely to pass: now let us go thither; peradventure he can shew us our way that we should go.(KJV-1611) 1Sa 9:6 Domestik la reponn li: -Gen yon bon sèvitè Bondye nan lavil sa a. Se yon nonm tout moun respekte paske tou sa li di rive vre. Ann al jwenn li. Ou pa janm konnen, li ka di nou kote pou n' ale pou n' jwenn bourik yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:7 ============ 1Sa 9:7 Then said Saul to his servant, But, behold, if we go, what shall we bring the man? for the bread is spent in our vessels, and there is not a present to bring to the man of God: what have we?(KJV-1611) 1Sa 9:7 Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:8 ============ 1Sa 9:8 And the servant answered Saul again, and said, Behold, I have here at hand the fourth part of a shekel of silver: that will I give to the man of God, to tell us our way.(KJV-1611) 1Sa 9:8 Domestik la reponn li: -Mwen gen yon ti pyès ajan sou mwen, m'a ba li l'. L'a di nou kote n'a jwenn yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:9 ============ 1Sa 9:9 (Beforetime in Israel, when a man went to enquire of God, thus he spake, Come, and let us go to the seer: for he that is now called a Prophet was beforetime called a Seer.)(KJV-1611) 1Sa 9:9 Nan tan lontan, lè yon moun te bezwen mande Bondye kichòy, li te konn di: Ann al kay divinò a, paske lè sa a se konsa yo te konn rele pwofèt Bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:10 ============ 1Sa 9:10 Then said Saul to his servant, Well said; come, let us go. So they went unto the city where the man of God was.(KJV-1611) 1Sa 9:10 Sayil di domestik li a: -Sa ou di a bon wi! Ann ale! Se konsa y' ale nan lavil kote sèvitè Bondye a te ye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:11 ============ 1Sa 9:11 And as they went up the hill to the city, they found young maidens going out to draw water, and said unto them, Is the seer here?(KJV-1611) 1Sa 9:11 Pandan yo t'ap moute ti pant ki mennen lavil la, yo kontre ak kèk jenn fi ki t'ap soti lavil la pou y' al nan dlo. Yo mande medam yo: -Eske divinò a la nan lavil la?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:12 ============ 1Sa 9:12 And they answered them, and said, He is; behold, he is before you: make haste now, for he came to day to the city; for there is a sacrifice of the people to day in the high place:(KJV-1611) 1Sa 9:12 Jenn fi yo reponn: -Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:13 ============ 1Sa 9:13 As soon as ye be come into the city, ye shall straightway find him, before he go up to the high place to eat: for the people will not eat until he come, because he doth bless the sacrifice; and afterwards they eat that be bidden. Now therefore get you up; for about this time ye shall find him.(KJV-1611) 1Sa 9:13 Rive n'a rive lavil la, n'a jwenn li anvan l' al manje sou ti mòn lan. Pèp la p'ap manje toutotan li pa rive, paske se li ki pou beni ofrann bèt la anvan. Lè li fini, moun yo envite yo va manje. Prese ale koulye a pou nou ka jwenn li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:14 ============ 1Sa 9:14 And they went up into the city: and when they were come into the city, behold, Samuel came out against them, for to go up to the high place.(KJV-1611) 1Sa 9:14 Se konsa yo moute ale lavil la. Antan yo t'ap antre lavil la, yo wè Samyèl ki t'ap vin devan yo, sou wout pou l' al sou mòn lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:15 ============ 1Sa 9:15 Now the LORD had told Samuel in his ear a day before Saul came, saying,(KJV-1611) 1Sa 9:15 Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Seyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:16 ============ 1Sa 9:16 To morrow about this time I will send thee a man out of the land of Benjamin, and thou shalt anoint him to be captain over my people Israel, that he may save my people out of the hand of the Philistines: for I have looked upon my people, because their cry is come unto me.(KJV-1611) 1Sa 9:16 -Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:17 ============ 1Sa 9:17 And when Samuel saw Saul, the LORD said unto him, Behold the man whom I spake to thee of! this same shall reign over my people.(KJV-1611) 1Sa 9:17 Lè Samyèl wè Sayil, Seyè a di l' konsa: -Men nonm mwen t'ap pale ou la. Se li ki pral gouvènen pèp mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:18 ============ 1Sa 9:18 Then Saul drew near to Samuel in the gate, and said, Tell me, I pray thee, where the seer's house is.(KJV-1611) 1Sa 9:18 Sayil mache sou Samyèl ki te toupre pòtay la. Li mande l': -Tanpri, moutre m' kay divinò a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:19 ============ 1Sa 9:19 And Samuel answered Saul, and said, I am the seer: go up before me unto the high place; for ye shall eat with me to day, and to morrow I will let thee go, and will tell thee all that is in thine heart.(KJV-1611) 1Sa 9:19 Samyèl reponn li: -Se mwen menm divinò a! Pran devan m', moute sou mòn lan. W'a manje avè m' jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:20 ============ 1Sa 9:20 And as for thine asses that were lost three days ago, set not thy mind on them; for they are found. And on whom is all the desire of Israel? Is it not on thee, and on all thy father's house?(KJV-1611) 1Sa 9:20 Kanta manman bourik ou te pèdi depi twa jou yo, ou pa bezwen bat kò ou, paske yo jwenn yo deja. Men, ki moun pèp Izrayèl la ap chache li menm? Se pa ou menm ak tout fanmi papa ou yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:21 ============ 1Sa 9:21 And Saul answered and said, Am not I a Benjamite, of the smallest of the tribes of Israel? and my family the least of all the families of the tribe of Benjamin? wherefore then speakest thou so to me?(KJV-1611) 1Sa 9:21 Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:22 ============ 1Sa 9:22 And Samuel took Saul and his servant, and brought them into the parlour, and made them sit in the chiefest place among them that were bidden, which were about thirty persons.(KJV-1611) 1Sa 9:22 Samyèl pran Sayil ansanm ak domestik li a, li fè yo antre nan gwo pyès kay la, li fè yo chita nan premye plas bò tab la ansanm ak tout envite yo. Te gen trant gason konsa yo te envite.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:23 ============ 1Sa 9:23 And Samuel said unto the cook, Bring the portion which I gave thee, of which I said unto thee, Set it by thee.(KJV-1611) 1Sa 9:23 Epi Samyèl di chèf kizin lan: -Pote moso vyann mwen te ba ou mete apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:24 ============ 1Sa 9:24 And the cook took up the shoulder, and that which was upon it, and set it before Saul. And Samuel said, Behold that which is left! set it before thee, and eat: for unto this time hath it been kept for thee since I said, I have invited the people. So Saul did eat with Samuel that day.(KJV-1611) 1Sa 9:24 Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:25 ============ 1Sa 9:25 And when they were come down from the high place into the city, Samuel communed with Saul upon the top of the house.(KJV-1611) 1Sa 9:25 Apre sa, yo desann soti sou mòn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:26 ============ 1Sa 9:26 And they arose early: and it came to pass about the spring of the day, that Samuel called Saul to the top of the house, saying, Up, that I may send thee away. And Saul arose, and they went out both of them, he and Samuel, abroad.(KJV-1611) 1Sa 9:26 Nan denmen yo leve byen bonè. Lè bajou kase, Samyèl rele Sayil sou teras la: -Leve non. Mwen pral voye ou ale lakay ou. Sayil leve, epi yo tou de yo soti nan lari a ansanm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 9:27 ============ 1Sa 9:27 And as they were going down to the end of the city, Samuel said to Saul, Bid the servant pass on before us, (and he passed on), but stand thou still a while, that I may shew thee the word of God.(KJV-1611) 1Sa 9:27 Lè yo rive sou limit lavil la, Samyèl di Sayil konsa: -Di domestik ou a pran devan nou. Domestik la pran devan, epi Samyèl di Sayil ankò: -Ou menm, rete la yon ti moman pou m' ka fè ou konnen sa Seyè a di.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:1 ============ 1Sa 10:1 Then Samuel took a vial of oil, and poured it upon his head, and kissed him, and said, Is it not because the LORD hath anointed thee to be captain over his inheritance?(KJV-1611) 1Sa 10:1 Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:2 ============ 1Sa 10:2 When thou art departed from me to day, then thou shalt find two men by Rachel's sepulchre in the border of Benjamin at Zelzah; and they will say unto thee, The asses which thou wentest to seek are found: and, lo, thy father hath left the care of the asses, and sorroweth for you, saying, What shall I do for my son?(KJV-1611) 1Sa 10:2 Lè w'a kite m' jòdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, koulye a papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tèt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m' lan?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:3 ============ 1Sa 10:3 Then shalt thou go on forward from thence, and thou shalt come to the plain of Tabor, and there shall meet thee three men going up to God to Bethel, one carrying three kids, and another carrying three loaves of bread, and another carrying a bottle of wine:(KJV-1611) 1Sa 10:3 Lèfini, w'a mache pi devan jouk w'a rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè w'a rive la, w'a kontre ak twa nèg k'ap moute lavil Betèl pou y' al ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men l', twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:4 ============ 1Sa 10:4 And they will salute thee, and give thee two loaves of bread; which thou shalt receive of their hands.(KJV-1611) 1Sa 10:4 Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:5 ============ 1Sa 10:5 After that thou shalt come to the hill of God, where is the garrison of the Philistines: and it shall come to pass, when thou art come thither to the city, that thou shalt meet a company of prophets coming down from the high place with a psaltery, and a tabret, and a pipe, and a harp, before them; and they shall prophesy:(KJV-1611) 1Sa 10:5 Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:6 ============ 1Sa 10:6 And the Spirit of the LORD will come upon thee, and thou shalt prophesy with them, and shalt be turned into another man.(KJV-1611) 1Sa 10:6 Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesaj ki soti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:7 ============ 1Sa 10:7 And let it be, when these signs are come unto thee, that thou do as occasion serve thee; for God is with thee.(KJV-1611) 1Sa 10:7 Lè bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:8 ============ 1Sa 10:8 And thou shalt go down before me to Gilgal; and, behold, I will come down unto thee, to offer burnt offerings, and to sacrifice sacrifices of peace offerings: seven days shalt thou tarry, till I come to thee, and shew thee what thou shalt do.(KJV-1611) 1Sa 10:8 Apre sa, w'a pran devan m', w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m' ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lèfini, w'a tann sèt jou anvan m'a vin jwenn ou ankò pou m' di ou sa pou ou fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:9 ============ 1Sa 10:9 And it was so, that when he had turned his back to go from Samuel, God gave him another heart: and all those signs came to pass that day.(KJV-1611) 1Sa 10:9 Vire Sayil vire pou l' kite Samyèl, Bondye fè Sayil tounen yon lòt moun nèt. Jou sa a tout pawòl Samyèl te di l' yo rive vre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:10 ============ 1Sa 10:10 And when they came thither to the hill, behold, a company of prophets met him; and the Spirit of God came upon him, and he prophesied among them.(KJV-1611) 1Sa 10:10 Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:11 ============ 1Sa 10:11 And it came to pass, when all that knew him beforetime saw that, behold, he prophesied among the prophets, then the people said one to another, What is this that is come unto the son of Kish? Is Saul also among the prophets?(KJV-1611) 1Sa 10:11 Tout moun ki te konnen l' anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesaj ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt: -Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil gen lè pwofèt tou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:12 ============ 1Sa 10:12 And one of the same place answered and said, But who is their father? Therefore it became a proverb, Is Saul also among the prophets?(KJV-1611) 1Sa 10:12 Yon moun lavil Gibeya ki te la mande: -Lòt mesye pwofèt yo, ki moun ki papa yo? Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lè menm Sayil pwofèt tou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:13 ============ 1Sa 10:13 And when he had made an end of prophesying, he came to the high place.(KJV-1611) 1Sa 10:13 Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesaj, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:14 ============ 1Sa 10:14 And Saul's uncle said unto him and to his servant, Whither went ye? And he said, To seek the asses: and when we saw that they were no where, we came to Samuel.(KJV-1611) 1Sa 10:14 Tonton Sayil la mande l' ansanm ak domestik li a: -Kote nou te ye konsa? Sayil reponn tonton l' lan: -Mwen t' al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n' al kote Samyèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:15 ============ 1Sa 10:15 And Saul's uncle said, Tell me, I pray thee, what Samuel said unto you.(KJV-1611) 1Sa 10:15 Tonton Sayil la mande l': -Rakonte m' sa li di ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:16 ============ 1Sa 10:16 And Saul said unto his uncle, He told us plainly that the asses were found. But of the matter of the kingdom, whereof Samuel spake, he told him not.(KJV-1611) 1Sa 10:16 Sayil reponn li: -Li di m' yo jwenn bourik yo deja. Men, li pa di tonton l' sa Samyèl te di l' sou koze wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:17 ============ 1Sa 10:17 And Samuel called the people together unto the LORD to Mizpeh;(KJV-1611) 1Sa 10:17 Samyèl reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:18 ============ 1Sa 10:18 And said unto the children of Israel, Thus saith the LORD God of Israel, I brought up Israel out of Egypt, and delivered you out of the hand of the Egyptians, and out of the hand of all kingdoms, and of them that oppressed you:(KJV-1611) 1Sa 10:18 Li di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:19 ============ 1Sa 10:19 And ye have this day rejected your God, who himself saved you out of all your adversities and your tribulations; and ye have said unto him, Nay, but set a king over us. Now therefore present yourselves before the LORD by your tribes, and by your thousands.(KJV-1611) 1Sa 10:19 Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:20 ============ 1Sa 10:20 And when Samuel had caused all the tribes of Israel to come near, the tribe of Benjamin was taken.(KJV-1611) 1Sa 10:20 Lè sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Seyè a chwazi branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:21 ============ 1Sa 10:21 When he had caused the tribe of Benjamin to come near by their families, the family of Matri was taken, and Saul the son of Kish was taken: and when they sought him, he could not be found.(KJV-1611) 1Sa 10:21 Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Seyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Seyè a, Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l', men yo pa t' ka jwenn li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:22 ============ 1Sa 10:22 Therefore they enquired of the LORD further, if the man should yet come thither. And the LORD answered, Behold he hath hid himself among the stuff.(KJV-1611) 1Sa 10:22 Y' al mande Seyè a si pa gen lòt moun ankò. Seyè a reponn: -Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:23 ============ 1Sa 10:23 And they ran and fetched him thence: and when he stood among the people, he was higher than any of the people from his shoulders and upward.(KJV-1611) 1Sa 10:23 Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:24 ============ 1Sa 10:24 And Samuel said to all the people, See ye him whom the LORD hath chosen, that there is none like him among all the people? And all the people shouted, and said, God save the king.(KJV-1611) 1Sa 10:24 Samyèl di pèp la: -Men moun Seyè a chwazi a. Pa gen tankou l' nan mitan pèp la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa Sayil!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:25 ============ 1Sa 10:25 Then Samuel told the people the manner of the kingdom, and wrote it in a book, and laid it up before the LORD. And Samuel sent all the people away, every man to his house.(KJV-1611) 1Sa 10:25 Apre sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Seyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:26 ============ 1Sa 10:26 And Saul also went home to Gibeah; and there went with him a band of men, whose hearts God had touched.(KJV-1611) 1Sa 10:26 Sayil tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y' ale ansanm ak Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 10:27 ============ 1Sa 10:27 But the children of Belial said, How shall this man save us? And they despised him, and brought no presents. But he held his peace.(KJV-1611) 1Sa 10:27 Men te gen kèk vòryen ki t'ap di: -Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou? Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l' kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:1 ============ 1Sa 11:1 Then Nahash the Ammonite came up, and encamped against Jabeshgilead: and all the men of Jabesh said unto Nahash, Make a covenant with us, and we will serve thee.(KJV-1611) 1Sa 11:1 Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:2 ============ 1Sa 11:2 And Nahash the Ammonite answered them, On this condition will I make a covenant with you, that I may thrust out all your right eyes, and lay it for a reproach upon all Israel.(KJV-1611) 1Sa 11:2 Men, Nakach reponn yo: -M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:3 ============ 1Sa 11:3 And the elders of Jabesh said unto him, Give us seven days' respite, that we may send messengers unto all the coasts of Israel: and then, if there be no man to save us, we will come out to thee.(KJV-1611) 1Sa 11:3 Chèf lavil Jabès la di li: -Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pesonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:4 ============ 1Sa 11:4 Then came the messengers to Gibeah of Saul, and told the tidings in the ears of the people: and all the people lifted up their voices, and wept.(KJV-1611) 1Sa 11:4 Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesaj la, tout moun pete rele byen fò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:5 ============ 1Sa 11:5 And, behold, Saul came after the herd out of the field; and Saul said, What aileth the people that they weep? And they told him the tidings of the men of Jabesh.(KJV-1611) 1Sa 11:5 Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, pouki tout moun t'ap rele konsa. Yo di l' sa moun lavil Jabès yo te vin di yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:6 ============ 1Sa 11:6 And the Spirit of God came upon Saul when he heard those tidings, and his anger was kindled greatly.(KJV-1611) 1Sa 11:6 Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:7 ============ 1Sa 11:7 And he took a yoke of oxen, and hewed them in pieces, and sent them throughout all the coasts of Israel by the hands of messengers, saying, Whosoever cometh not forth after Saul and after Samuel, so shall it be done unto his oxen. And the fear of the LORD fell on the people, and they came out with one consent.(KJV-1611) 1Sa 11:7 Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:8 ============ 1Sa 11:8 And when he numbered them in Bezek, the children of Israel were three hundred thousand, and the men of Judah thirty thousand.(KJV-1611) 1Sa 11:8 Sayil sanble yo bò lavil Bezèk pou l' pase yo enspeksyon: Te gen twasan mil ki te moun fanmi Jida.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:9 ============ 1Sa 11:9 And they said unto the messengers that came, Thus shall ye say unto the men of Jabeshgilead, To morrow, by that time the sun be hot, ye shall have help. And the messengers came and shewed it to the men of Jabesh; and they were glad.(KJV-1611) 1Sa 11:9 Yo rele mesaje ki te soti lavil Jabès yo, yo di yo: -Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesaj la yo te kontan anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:10 ============ 1Sa 11:10 Therefore the men of Jabesh said, To morrow we will come out unto you, and ye shall do with us all that seemeth good unto you.(KJV-1611) 1Sa 11:10 Yo voye di Nakach: -Denmen n'ap rann tèt nou ba ou. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avèk nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:11 ============ 1Sa 11:11 And it was so on the morrow, that Saul put the people in three companies; and they came into the midst of the host in the morning watch, and slew the Ammonites until the heat of the day: and it came to pass, that they which remained were scattered, so that two of them were not left together.(KJV-1611) 1Sa 11:11 Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:12 ============ 1Sa 11:12 And the people said unto Samuel, Who is he that said, Shall Saul reign over us? bring the men, that we may put them to death.(KJV-1611) 1Sa 11:12 Lè sa a, pèp Izrayèl la di Samyèl konsa: -Kote moun ki t'ap di Sayil pa ka wa nou? Lage yo nan men nou pou nou touye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:13 ============ 1Sa 11:13 And Saul said, There shall not a man be put to death this day: for to day the LORD hath wrought salvation in Israel.(KJV-1611) 1Sa 11:13 Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:14 ============ 1Sa 11:14 Then said Samuel to the people, Come, and let us go to Gilgal, and renew the kingdom there.(KJV-1611) 1Sa 11:14 Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 11:15 ============ 1Sa 11:15 And all the people went to Gilgal; and there they made Saul king before the LORD in Gilgal; and there they sacrificed sacrifices of peace offerings before the LORD; and there Saul and all the men of Israel rejoiced greatly.(KJV-1611) 1Sa 11:15 Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:1 ============ 1Sa 12:1 And Samuel said unto all Israel, Behold, I have hearkened unto your voice in all that ye said unto me, and have made a king over you.(KJV-1611) 1Sa 12:1 Samyèl di moun pèp Izrayèl yo: -Nou wè mwen fè tou sa nou te mande m' fè. Mwen ban nou yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:2 ============ 1Sa 12:2 And now, behold, the king walketh before you: and I am old and grayheaded; and, behold, my sons are with you: and I have walked before you from my childhood unto this day.(KJV-1611) 1Sa 12:2 Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:3 ============ 1Sa 12:3 Behold, here I am: witness against me before the LORD, and before his anointed: whose ox have I taken? or whose ass have I taken? or whom have I defrauded? whom have I oppressed? or of whose hand have I received any bribe to blind mine eyes therewith? and I will restore it you.(KJV-1611) 1Sa 12:3 Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:4 ============ 1Sa 12:4 And they said, Thou hast not defrauded us, nor oppressed us, neither hast thou taken ought of any man's hand.(KJV-1611) 1Sa 12:4 Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:5 ============ 1Sa 12:5 And he said unto them, The LORD is witness against you, and his anointed is witness this day, that ye have not found ought in my hand. And they answered, He is witness.(KJV-1611) 1Sa 12:5 Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:6 ============ 1Sa 12:6 And Samuel said unto the people, It is the LORD that advanced Moses and Aaron, and that brought your fathers up out of the land of Egypt.(KJV-1611) 1Sa 12:6 Samyèl di yo: -Seyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:7 ============ 1Sa 12:7 Now therefore stand still, that I may reason with you before the LORD of all the righteous acts of the LORD, which he did to you and to your fathers.(KJV-1611) 1Sa 12:7 Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:8 ============ 1Sa 12:8 When Jacob was come into Egypt, and your fathers cried unto the LORD, then the LORD sent Moses and Aaron, which brought forth your fathers out of Egypt, and made them dwell in this place.(KJV-1611) 1Sa 12:8 Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi li. Lè moun peyi Lejip yo pran maltrete zansèt nou yo, zansèt nou yo rele mande Seyè a sekou. Lè sa a, Seyè a voye Moyiz ak Arawon ki fè yo soti kite peyi Lejip la epi ki mennen yo vin rete isit la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:9 ============ 1Sa 12:9 And when they forgat the LORD their God, he sold them into the hand of Sisera, captain of the host of Hazor, and into the hand of the Philistines, and into the hand of the king of Moab, and they fought against them.(KJV-1611) 1Sa 12:9 Men yo bliye Seyè a, Bondye yo a. Lè sa a, Bondye lage yo nan men Sisera, chèf lame lavil Azò a, nan men moun Filisti yo ak nan men wa peyi Moab ki leve fè lagè ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:10 ============ 1Sa 12:10 And they cried unto the LORD, and said, We have sinned, because we have forsaken the LORD, and have served Baalim and Ashtaroth: but now deliver us out of the hand of our enemies, and we will serve thee.(KJV-1611) 1Sa 12:10 Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:11 ============ 1Sa 12:11 And the LORD sent Jerubbaal, and Bedan, and Jephthah, and Samuel, and delivered you out of the hand of your enemies on every side, and ye dwelled safe.(KJV-1611) 1Sa 12:11 Lè sa a, Seyè a voye Jewoubaal, Abdon, Jefte ak mwen menm, Samyèl, li delivre nou anba men lènmi nou yo ki te tout bò kote nou yo, li fè nou viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:12 ============ 1Sa 12:12 And when ye saw that Nahash the king of the children of Ammon came against you, ye said unto me, Nay; but a king shall reign over us: when the LORD your God was your king.(KJV-1611) 1Sa 12:12 Epi lè nou wè Nakach, wa moun peyi Amon yo, te pare pou l' atake nou, atout nou te konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki wa nou, nou di m': Non! nou pa vle sa ankò. Se yon wa nou vle pou gouvènen nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:13 ============ 1Sa 12:13 Now therefore behold the king whom ye have chosen, and whom ye have desired! and, behold, the LORD hath set a king over you.(KJV-1611) 1Sa 12:13 Koulye a, men wa nou te chwazi a. Nou te mande yon wa, Seyè a ban nou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:14 ============ 1Sa 12:14 If ye will fear the LORD, and serve him, and obey his voice, and not rebel against the commandment of the LORD, then shall both ye and also the king that reigneth over you continue following the LORD your God:(KJV-1611) 1Sa 12:14 Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:15 ============ 1Sa 12:15 But if ye will not obey the voice of the LORD, but rebel against the commandment of the LORD, then shall the hand of the LORD be against you, as it was against your fathers.(KJV-1611) 1Sa 12:15 Men, si nou pa koute sa Seyè a di nou, si nou pa fè tou sa li mande nou fè, l'ap leve dèyè nou ansanm ak tout wa nou an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:16 ============ 1Sa 12:16 Now therefore stand and see this great thing, which the LORD will do before your eyes.(KJV-1611) 1Sa 12:16 Bon, koulye a, rete kanpe kote nou ye a, nou pral wè bèl bagay Seyè a pral fè devan je nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:17 ============ 1Sa 12:17 Is it not wheat harvest to day? I will call unto the LORD, and he shall send thunder and rain; that ye may perceive and see that your wickedness is great, which ye have done in the sight of the LORD, in asking you a king.(KJV-1611) 1Sa 12:17 Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:18 ============ 1Sa 12:18 So Samuel called unto the LORD; and the LORD sent thunder and rain that day: and all the people greatly feared the LORD and Samuel.(KJV-1611) 1Sa 12:18 Samyèl lapriyè Seyè a. Jou sa a, Seyè a voye loraj ak lapli. Tout pèp la pran tranble, yo te vin pè Seyè a ansanm ak Samyèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:19 ============ 1Sa 12:19 And all the people said unto Samuel, Pray for thy servants unto the LORD thy God, that we die not: for we have added unto all our sins this evil, to ask us a king.(KJV-1611) 1Sa 12:19 Yo tout di Samyèl konsa: -Tanpri, mèt, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou pa mouri. Paske nou mete sou peche nou te fè deja yo, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:20 ============ 1Sa 12:20 And Samuel said unto the people, Fear not: ye have done all this wickedness: yet turn not aside from following the LORD, but serve the LORD with all your heart;(KJV-1611) 1Sa 12:20 Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:21 ============ 1Sa 12:21 And turn ye not aside: for then should ye go after vain things, which cannot profit nor deliver; for they are vain.(KJV-1611) 1Sa 12:21 Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:22 ============ 1Sa 12:22 For the LORD will not forsake his people for his great name's sake: because it hath pleased the LORD to make you his people.(KJV-1611) 1Sa 12:22 Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:23 ============ 1Sa 12:23 Moreover as for me, God forbid that I should sin against the LORD in ceasing to pray for you: but I will teach you the good and the right way:(KJV-1611) 1Sa 12:23 Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:24 ============ 1Sa 12:24 Only fear the LORD, and serve him in truth with all your heart: for consider how great things he hath done for you.(KJV-1611) 1Sa 12:24 Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 12:25 ============ 1Sa 12:25 But if ye shall still do wickedly, ye shall be consumed, both ye and your king.(KJV-1611) 1Sa 12:25 Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:1 ============ 1Sa 13:1 Saul reigned one year; and when he had reigned two years over Israel,(KJV-1611) 1Sa 13:1 Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:2 ============ 1Sa 13:2 Saul chose him three thousand men of Israel; whereof two thousand were with Saul in Michmash and in mount Bethel, and a thousand were with Jonathan in Gibeah of Benjamin: and the rest of the people he sent every man to his tent.(KJV-1611) 1Sa 13:2 Sayil chwazi twamil gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:3 ============ 1Sa 13:3 And Jonathan smote the garrison of the Philistines that was in Geba, and the Philistines heard of it. And Saul blew the trumpet throughout all the land, saying, Let the Hebrews hear.(KJV-1611) 1Sa 13:3 Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:4 ============ 1Sa 13:4 And all Israel heard say that Saul had smitten a garrison of the Philistines, and that Israel also was had in abomination with the Philistines. And the people were called together after Saul to Gilgal.(KJV-1611) 1Sa 13:4 Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:5 ============ 1Sa 13:5 And the Philistines gathered themselves together to fight with Israel, thirty thousand chariots, and six thousand horsemen, and people as the sand which is on the sea shore in multitude: and they came up, and pitched in Michmash, eastward from Bethaven.(KJV-1611) 1Sa 13:5 Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:6 ============ 1Sa 13:6 When the men of Israel saw that they were in a strait, (for the people were distressed,) then the people did hide themselves in caves, and in thickets, and in rocks, and in high places, and in pits.(KJV-1611) 1Sa 13:6 Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:7 ============ 1Sa 13:7 And some of the Hebrews went over Jordan to the land of Gad and Gilead. As for Saul, he was yet in Gilgal, and all the people followed him trembling.(KJV-1611) 1Sa 13:7 Gen en ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:8 ============ 1Sa 13:8 And he tarried seven days, according to the set time that Samuel had appointed: but Samuel came not to Gilgal; and the people were scattered from him.(KJV-1611) 1Sa 13:8 Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:9 ============ 1Sa 13:9 And Saul said, Bring hither a burnt offering to me, and peace offerings. And he offered the burnt offering.(KJV-1611) 1Sa 13:9 Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:10 ============ 1Sa 13:10 And it came to pass, that as soon as he had made an end of offering the burnt offering, behold, Samuel came; and Saul went out to meet him, that he might salute him.(KJV-1611) 1Sa 13:10 Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:11 ============ 1Sa 13:11 And Samuel said, What hast thou done? And Saul said, Because I saw that the people were scattered from me, and that thou camest not within the days appointed, and that the Philistines gathered themselves together at Michmash;(KJV-1611) 1Sa 13:11 Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:12 ============ 1Sa 13:12 Therefore said I, The Philistines will come down now upon me to Gilgal, and I have not made supplication unto the LORD: I forced myself therefore, and offered a burnt offering.(KJV-1611) 1Sa 13:12 Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:13 ============ 1Sa 13:13 And Samuel said to Saul, Thou hast done foolishly: thou hast not kept the commandment of the LORD thy God, which he commanded thee: for now would the LORD have established thy kingdom upon Israel for ever.(KJV-1611) 1Sa 13:13 Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:14 ============ 1Sa 13:14 But now thy kingdom shall not continue: the LORD hath sought him a man after his own heart, and the LORD hath commanded him to be captain over his people, because thou hast not kept that which the LORD commanded thee.(KJV-1611) 1Sa 13:14 Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:15 ============ 1Sa 13:15 And Samuel arose, and gat him up from Gilgal unto Gibeah of Benjamin. And Saul numbered the people that were present with him, about six hundred men.(KJV-1611) 1Sa 13:15 Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan sòlda konsa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:16 ============ 1Sa 13:16 And Saul, and Jonathan his son, and the people that were present with them, abode in Gibeah of Benjamin: but the Philistines encamped in Michmash.(KJV-1611) 1Sa 13:16 Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:17 ============ 1Sa 13:17 And the spoilers came out of the camp of the Philistines in three companies: one company turned unto the way that leadeth to Ophrah, unto the land of Shual:(KJV-1611) 1Sa 13:17 Sòlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:18 ============ 1Sa 13:18 And another company turned the way to Bethhoron: and another company turned to the way of the border that looketh to the valley of Zeboim toward the wilderness.(KJV-1611) 1Sa 13:18 Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:19 ============ 1Sa 13:19 Now there was no smith found throughout all the land of Israel: for the Philistines said, Lest the Hebrews make them swords or spears:(KJV-1611) 1Sa 13:19 Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:20 ============ 1Sa 13:20 But all the Israelites went down to the Philistines, to sharpen every man his share, and his coulter, and his axe, and his mattock.(KJV-1611) 1Sa 13:20 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:21 ============ 1Sa 13:21 Yet they had a file for the mattocks, and for the coulters, and for the forks, and for the axes, and to sharpen the goads.(KJV-1611) 1Sa 13:21 Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:22 ============ 1Sa 13:22 So it came to pass in the day of battle, that there was neither sword nor spear found in the hand of any of the people that were with Saul and Jonathan: but with Saul and with Jonathan his son was there found.(KJV-1611) 1Sa 13:22 Se sa ki fè, lè jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 13:23 ============ 1Sa 13:23 And the garrison of the Philistines went out to the passage of Michmash.(KJV-1611) 1Sa 13:23 Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:1 ============ 1Sa 14:1 Now it came to pass upon a day, that Jonathan the son of Saul said unto the young man that bare his armour, Come, and let us go over to the Philistines' garrison, that is on the other side. But he told not his father.(KJV-1611) 1Sa 14:1 Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:2 ============ 1Sa 14:2 And Saul tarried in the uttermost part of Gibeah under a pomegranate tree which is in Migron: and the people that were with him were about six hundred men;(KJV-1611) 1Sa 14:2 Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan sòlda konsa avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:3 ============ 1Sa 14:3 And Ahiah, the son of Ahitub, Ichabod's brother, the son of Phinehas, the son of Eli, the LORD's priest in Shiloh, wearing an ephod. And the people knew not that Jonathan was gone.(KJV-1611) 1Sa 14:3 Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:4 ============ 1Sa 14:4 And between the passages, by which Jonathan sought to go over unto the Philistines' garrison, there was a sharp rock on the one side, and a sharp rock on the other side: and the name of the one was Bozez, and the name of the other Seneh.(KJV-1611) 1Sa 14:4 Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:5 ============ 1Sa 14:5 The forefront of the one was situate northward over against Michmash, and the other southward over against Gibeah.(KJV-1611) 1Sa 14:5 Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:6 ============ 1Sa 14:6 And Jonathan said to the young man that bare his armour, Come, and let us go over unto the garrison of these uncircumcised: it may be that the LORD will work for us: for there is no restraint to the LORD to save by many or by few.(KJV-1611) 1Sa 14:6 Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:7 ============ 1Sa 14:7 And his armourbearer said unto him, Do all that is in thine heart: turn thee; behold, I am with thee according to thy heart.(KJV-1611) 1Sa 14:7 Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:8 ============ 1Sa 14:8 Then said Jonathan, Behold, we will pass over unto these men, and we will discover ourselves unto them.(KJV-1611) 1Sa 14:8 Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:9 ============ 1Sa 14:9 If they say thus unto us, Tarry until we come to you; then we will stand still in our place, and will not go up unto them.(KJV-1611) 1Sa 14:9 Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:10 ============ 1Sa 14:10 But if they say thus, Come up unto us; then we will go up: for the LORD hath delivered them into our hand: and this shall be a sign unto us.(KJV-1611) 1Sa 14:10 Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:11 ============ 1Sa 14:11 And both of them discovered themselves unto the garrison of the Philistines: and the Philistines said, Behold, the Hebrews come forth out of the holes where they had hid themselves.(KJV-1611) 1Sa 14:11 Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:12 ============ 1Sa 14:12 And the men of the garrison answered Jonathan and his armourbearer, and said, Come up to us, and we will shew you a thing. And Jonathan said unto his armourbearer, Come up after me: for the LORD hath delivered them into the hand of Israel.(KJV-1611) 1Sa 14:12 Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:13 ============ 1Sa 14:13 And Jonathan climbed up upon his hands and upon his feet, and his armourbearer after him: and they fell before Jonathan; and his armourbearer slew after him.(KJV-1611) 1Sa 14:13 Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:14 ============ 1Sa 14:14 And that first slaughter, which Jonathan and his armourbearer made, was about twenty men, within as it were an half acre of land, which a yoke of oxen might plow.(KJV-1611) 1Sa 14:14 Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye vin sòlda konsa, sou yon ti teren ki pa t' menm mezire yon ka kawo tè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:15 ============ 1Sa 14:15 And there was trembling in the host, in the field, and among all the people: the garrison, and the spoilers, they also trembled, and the earth quaked: so it was a very great trembling.(KJV-1611) 1Sa 14:15 Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:16 ============ 1Sa 14:16 And the watchmen of Saul in Gibeah of Benjamin looked; and, behold, the multitude melted away, and they went on beating down one another.(KJV-1611) 1Sa 14:16 Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:17 ============ 1Sa 14:17 Then said Saul unto the people that were with him, Number now, and see who is gone from us. And when they had numbered, behold, Jonathan and his armourbearer were not there.(KJV-1611) 1Sa 14:17 Sayil di moun ki te avè l' yo: -Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la! Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:18 ============ 1Sa 14:18 And Saul said unto Ahiah, Bring hither the ark of God. For the ark of God was at that time with the children of Israel.(KJV-1611) 1Sa 14:18 Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:19 ============ 1Sa 14:19 And it came to pass, while Saul talked unto the priest, that the noise that was in the host of the Philistines went on and increased: and Saul said unto the priest, Withdraw thine hand.(KJV-1611) 1Sa 14:19 Pandan Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa: -Rete sou sa ou fè!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:20 ============ 1Sa 14:20 And Saul and all the people that were with him assembled themselves, and they came to the battle: and, behold, every man's sword was against his fellow, and there was a very great discomfiture.(KJV-1611) 1Sa 14:20 Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:21 ============ 1Sa 14:21 Moreover the Hebrews that were with the Philistines before that time, which went up with them into the camp from the country round about, even they also turned to be with the Israelites that were with Saul and Jonathan.(KJV-1611) 1Sa 14:21 Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:22 ============ 1Sa 14:22 Likewise all the men of Israel which had hid themselves in mount Ephraim, when they heard that the Philistines fled, even they also followed hard after them in the battle.(KJV-1611) 1Sa 14:22 Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:23 ============ 1Sa 14:23 So the LORD saved Israel that day: and the battle passed over unto Bethaven.(KJV-1611) 1Sa 14:23 Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:24 ============ 1Sa 14:24 And the men of Israel were distressed that day: for Saul had adjured the people, saying, Cursed be the man that eateth any food until evening, that I may be avenged on mine enemies. So none of the people tasted any food.(KJV-1611) 1Sa 14:24 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:25 ============ 1Sa 14:25 And all they of the land came to a wood; and there was honey upon the ground.(KJV-1611) 1Sa 14:25 Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:26 ============ 1Sa 14:26 And when the people were come into the wood, behold, the honey dropped; but no man put his hand to his mouth: for the people feared the oath.(KJV-1611) 1Sa 14:26 Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pesonn pa goute menm ladan l' paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:27 ============ 1Sa 14:27 But Jonathan heard not when his father charged the people with the oath: wherefore he put forth the end of the rod that was in his hand, and dipped it in an honeycomb, and put his hand to his mouth; and his eyes were enlightened.(KJV-1611) 1Sa 14:27 Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:28 ============ 1Sa 14:28 Then answered one of the people, and said, Thy father straitly charged the people with an oath, saying, Cursed be the man that eateth any food this day. And the people were faint.(KJV-1611) 1Sa 14:28 Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:29 ============ 1Sa 14:29 Then said Jonathan, My father hath troubled the land: see, I pray you, how mine eyes have been enlightened, because I tasted a little of this honey.(KJV-1611) 1Sa 14:29 Jonatan reponn li: -Sa papa m' fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m' santi m' gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:30 ============ 1Sa 14:30 How much more, if haply the people had eaten freely to day of the spoil of their enemies which they found? for had there not been now a much greater slaughter among the Philistines?(KJV-1611) 1Sa 14:30 Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, koulye a èske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:31 ============ 1Sa 14:31 And they smote the Philistines that day from Michmash to Aijalon: and the people were very faint.(KJV-1611) 1Sa 14:31 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:32 ============ 1Sa 14:32 And the people flew upon the spoil, and took sheep, and oxen, and calves, and slew them on the ground: and the people did eat them with the blood.(KJV-1611) 1Sa 14:32 Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:33 ============ 1Sa 14:33 Then they told Saul, saying, Behold, the people sin against the LORD, in that they eat with the blood. And he said, Ye have transgressed: roll a great stone unto me this day.(KJV-1611) 1Sa 14:33 Y' al di Sayil konsa: -Gade! Men pèp la ap peche kont Seyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l'. Sayil di konsa: -Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:34 ============ 1Sa 14:34 And Saul said, Disperse yourselves among the people, and say unto them, Bring me hither every man his ox, and every man his sheep, and slay them here, and eat; and sin not against the LORD in eating with the blood. And all the people brought every man his ox with him that night, and slew them there.(KJV-1611) 1Sa 14:34 Apre sa, li bay lòd sa a: -Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Seyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:35 ============ 1Sa 14:35 And Saul built an altar unto the LORD: the same was the first altar that he built unto the LORD.(KJV-1611) 1Sa 14:35 Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:36 ============ 1Sa 14:36 And Saul said, Let us go down after the Philistines by night, and spoil them until the morning light, and let us not leave a man of them. And they said, Do whatsoever seemeth good unto thee. Then said the priest, Let us draw near hither unto God.(KJV-1611) 1Sa 14:36 Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:37 ============ 1Sa 14:37 And Saul asked counsel of God, Shall I go down after the Philistines? wilt thou deliver them into the hand of Israel? But he answered him not that day.(KJV-1611) 1Sa 14:37 Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:38 ============ 1Sa 14:38 And Saul said, Draw ye near hither, all the chief of the people: and know and see wherein this sin hath been this day.(KJV-1611) 1Sa 14:38 Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:39 ============ 1Sa 14:39 For, as the LORD liveth, which saveth Israel, though it be in Jonathan my son, he shall surely die. But there was not a man among all the people that answered him.(KJV-1611) 1Sa 14:39 Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:40 ============ 1Sa 14:40 Then said he unto all Israel, Be ye on one side, and I and Jonathan my son will be on the other side. And the people said unto Saul, Do what seemeth good unto thee.(KJV-1611) 1Sa 14:40 Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:41 ============ 1Sa 14:41 Therefore Saul said unto the LORD God of Israel, Give a perfect lot. And Saul and Jonathan were taken: but the people escaped.(KJV-1611) 1Sa 14:41 Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:42 ============ 1Sa 14:42 And Saul said, Cast lots between me and Jonathan my son. And Jonathan was taken.(KJV-1611) 1Sa 14:42 Sayil di: -Koulye a, ant Jonatan avè m', di kilès nan nou de a ki koupab. Seyè a fè konnen se Jonatan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:43 ============ 1Sa 14:43 Then Saul said to Jonathan, Tell me what thou hast done. And Jonathan told him, and said, I did but taste a little honey with the end of the rod that was in mine hand, and, lo, I must die.(KJV-1611) 1Sa 14:43 Lè sa a, Sayil mande Jonatan: -Kisa ou fè? Jonatan reponn: -Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m' lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m' mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:44 ============ 1Sa 14:44 And Saul answered, God do so and more also: for thou shalt surely die, Jonathan.(KJV-1611) 1Sa 14:44 Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:45 ============ 1Sa 14:45 And the people said unto Saul, Shall Jonathan die, who hath wrought this great salvation in Israel? God forbid: as the LORD liveth, there shall not one hair of his head fall to the ground; for he hath wrought with God this day. So the people rescued Jonathan, that he died not.(KJV-1611) 1Sa 14:45 Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:46 ============ 1Sa 14:46 Then Saul went up from following the Philistines: and the Philistines went to their own place.(KJV-1611) 1Sa 14:46 Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:47 ============ 1Sa 14:47 So Saul took the kingdom over Israel, and fought against all his enemies on every side, against Moab, and against the children of Ammon, and against Edom, and against the kings of Zobah, and against the Philistines: and whithersoever he turned himself, he vexed them.(KJV-1611) 1Sa 14:47 Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:48 ============ 1Sa 14:48 And he gathered an host, and smote the Amalekites, and delivered Israel out of the hands of them that spoiled them.(KJV-1611) 1Sa 14:48 Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:49 ============ 1Sa 14:49 Now the sons of Saul were Jonathan, and Ishui, and Melchishua: and the names of his two daughters were these; the name of the firstborn Merab, and the name of the younger Michal:(KJV-1611) 1Sa 14:49 Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:50 ============ 1Sa 14:50 And the name of Saul's wife was Ahinoam, the daughter of Ahimaaz: and the name of the captain of his host was Abner, the son of Ner, Saul's uncle.(KJV-1611) 1Sa 14:50 Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:51 ============ 1Sa 14:51 And Kish was the father of Saul; and Ner the father of Abner was the son of Abiel.(KJV-1611) 1Sa 14:51 Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 14:52 ============ 1Sa 14:52 And there was sore war against the Philistines all the days of Saul: and when Saul saw any strong man, or any valiant man, he took him unto him.(KJV-1611) 1Sa 14:52 Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:1 ============ 1Sa 15:1 Samuel also said unto Saul, The LORD sent me to anoint thee to be king over his people, over Israel: now therefore hearken thou unto the voice of the words of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 15:1 Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:2 ============ 1Sa 15:2 Thus saith the LORD of hosts, I remember that which Amalek did to Israel, how he laid wait for him in the way, when he came up from Egypt.(KJV-1611) 1Sa 15:2 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:3 ============ 1Sa 15:3 Now go and smite Amalek, and utterly destroy all that they have, and spare them not; but slay both man and woman, infant and suckling, ox and sheep, camel and ass.(KJV-1611) 1Sa 15:3 Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:4 ============ 1Sa 15:4 And Saul gathered the people together, and numbered them in Telaim, two hundred thousand footmen, and ten thousand men of Judah.(KJV-1611) 1Sa 15:4 Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil sòlda ki te moun Jida.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:5 ============ 1Sa 15:5 And Saul came to a city of Amalek, and laid wait in the valley.(KJV-1611) 1Sa 15:5 Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L' al kache kò li nan yon ravin chèch.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:6 ============ 1Sa 15:6 And Saul said unto the Kenites, Go, depart, get you down from among the Amalekites, lest I destroy you with them: for ye shewed kindness to all the children of Israel, when they came up out of Egypt. So the Kenites departed from among the Amalekites.(KJV-1611) 1Sa 15:6 Apre sa, li voye avèti moun Kayen yo: -Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo, pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun Kayen, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun Kayen yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:7 ============ 1Sa 15:7 And Saul smote the Amalekites from Havilah until thou comest to Shur, that is over against Egypt.(KJV-1611) 1Sa 15:7 Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:8 ============ 1Sa 15:8 And he took Agag the king of the Amalekites alive, and utterly destroyed all the people with the edge of the sword.(KJV-1611) 1Sa 15:8 Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:9 ============ 1Sa 15:9 But Saul and the people spared Agag, and the best of the sheep, and of the oxen, and of the fatlings, and the lambs, and all that was good, and would not utterly destroy them: but every thing that was vile and refuse, that they destroyed utterly.(KJV-1611) 1Sa 15:9 Men Sayil ak sòlda li yo pa t' touye Agag. Yo pa t' touye pi bèl mouton yo ni pi bèl bèf yo, ni yo pa t' touye ankenn bèt ki te bon. Men, yo touye tout bèt ki te lèd, tout bèt ki te mèg tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:10 ============ 1Sa 15:10 Then came the word of the LORD unto Samuel, saying,(KJV-1611) 1Sa 15:10 Seyè a pale ak Samyèl, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:11 ============ 1Sa 15:11 It repenteth me that I have set up Saul to be king: for he is turned back from following me, and hath not performed my commandments. And it grieved Samuel; and he cried unto the LORD all night.(KJV-1611) 1Sa 15:11 -Mwen règrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pa t' kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:12 ============ 1Sa 15:12 And when Samuel rose early to meet Saul in the morning, it was told Samuel, saying, Saul came to Carmel, and, behold, he set him up a place, and is gone about, and passed on, and gone down to Gilgal.(KJV-1611) 1Sa 15:12 Nan denmen maten, bonè bonè, li soti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil t' ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:13 ============ 1Sa 15:13 And Samuel came to Saul: and Saul said unto him, Blessed be thou of the LORD: I have performed the commandment of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 15:13 Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m' lòd fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:14 ============ 1Sa 15:14 And Samuel said, What meaneth then this bleating of the sheep in mine ears, and the lowing of the oxen which I hear?(KJV-1611) 1Sa 15:14 Samyèl mande l': -Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:15 ============ 1Sa 15:15 And Saul said, They have brought them from the Amalekites: for the people spared the best of the sheep and of the oxen, to sacrifice unto the LORD thy God; and the rest we have utterly destroyed.(KJV-1611) 1Sa 15:15 Sayil reponn li: -Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Seyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:16 ============ 1Sa 15:16 Then Samuel said unto Saul, Stay, and I will tell thee what the LORD hath said to me this night. And he said unto him, Say on.(KJV-1611) 1Sa 15:16 Samyèl di l' konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m' di ou sa Seyè a te vin di m' lannwit lan. Sayil di li: -Pale non!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:17 ============ 1Sa 15:17 And Samuel said, When thou wast little in thine own sight, wast thou not made the head of the tribes of Israel, and the LORD anointed thee king over Israel?(KJV-1611) 1Sa 15:17 Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t' anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:18 ============ 1Sa 15:18 And the LORD sent thee on a journey, and said, Go and utterly destroy the sinners the Amalekites, and fight against them until they be consumed.(KJV-1611) 1Sa 15:18 Li voye ou ale avèk lòd espre pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:19 ============ 1Sa 15:19 Wherefore then didst thou not obey the voice of the LORD, but didst fly upon the spoil, and didst evil in the sight of the LORD?(KJV-1611) 1Sa 15:19 Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:20 ============ 1Sa 15:20 And Saul said unto Samuel, Yea, I have obeyed the voice of the LORD, and have gone the way which the LORD sent me, and have brought Agag the king of Amalek, and have utterly destroyed the Amalekites.(KJV-1611) 1Sa 15:20 Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:21 ============ 1Sa 15:21 But the people took of the spoil, sheep and oxen, the chief of the things which should have been utterly destroyed, to sacrifice unto the LORD thy God in Gilgal.(KJV-1611) 1Sa 15:21 Men sòlda mwen yo pa t' touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Seyè a, Bondye ou la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:22 ============ 1Sa 15:22 And Samuel said, Hath the LORD as great delight in burnt offerings and sacrifices, as in obeying the voice of the LORD? Behold, to obey is better than sacrifice, and to hearken than the fat of rams.(KJV-1611) 1Sa 15:22 Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:23 ============ 1Sa 15:23 For rebellion is as the sin of witchcraft, and stubbornness is as iniquity and idolatry. Because thou hast rejected the word of the LORD, he hath also rejected thee from being king.(KJV-1611) 1Sa 15:23 Dezobeyi Bondye nan sa l' mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l' wè avè ou ankò!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:24 ============ 1Sa 15:24 And Saul said unto Samuel, I have sinned: for I have transgressed the commandment of the LORD, and thy words: because I feared the people, and obeyed their voice.(KJV-1611) 1Sa 15:24 Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:25 ============ 1Sa 15:25 Now therefore, I pray thee, pardon my sin, and turn again with me, that I may worship the LORD.(KJV-1611) 1Sa 15:25 Men koulye a, tanpri, padonnen peche m' lan. Tounen avè m' pou m' ka sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:26 ============ 1Sa 15:26 And Samuel said unto Saul, I will not return with thee: for thou hast rejected the word of the LORD, and the LORD hath rejected thee from being king over Israel.(KJV-1611) 1Sa 15:26 Samyèl di li: -Non, mwen p'ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:27 ============ 1Sa 15:27 And as Samuel turned about to go away, he laid hold upon the skirt of his mantle, and it rent.(KJV-1611) 1Sa 15:27 Samyèl fè sa li vire pou l' ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:28 ============ 1Sa 15:28 And Samuel said unto him, The LORD hath rent the kingdom of Israel from thee this day, and hath given it to a neighbour of thine, that is better than thou.(KJV-1611) 1Sa 15:28 Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l' nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:29 ============ 1Sa 15:29 And also the Strength of Israel will not lie nor repent: for he is not a man, that he should repent.(KJV-1611) 1Sa 15:29 Bondye ki wa pèp Izrayèl la pa konn manti, ni li pa konn chanje lide. Se pa moun li ye. Li p'ap chanje pawòl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:30 ============ 1Sa 15:30 Then he said, I have sinned: yet honour me now, I pray thee, before the elders of my people, and before Israel, and turn again with me, that I may worship the LORD thy God.(KJV-1611) 1Sa 15:30 Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:31 ============ 1Sa 15:31 So Samuel turned again after Saul; and Saul worshipped the LORD.(KJV-1611) 1Sa 15:31 Se konsa Samyèl tounen avèk Sayil, epi Sayil fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:32 ============ 1Sa 15:32 Then said Samuel, Bring ye hither to me Agag the king of the Amalekites. And Agag came unto him delicately. And Agag said, Surely the bitterness of death is past.(KJV-1611) 1Sa 15:32 Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:33 ============ 1Sa 15:33 And Samuel said, As the sword hath made women childless, so shall thy mother be childless among women. And Samuel hewed Agag in pieces before the LORD in Gilgal.(KJV-1611) 1Sa 15:33 Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:34 ============ 1Sa 15:34 Then Samuel went to Ramah; and Saul went up to his house to Gibeah of Saul.(KJV-1611) 1Sa 15:34 Lèfini, Samyèl desann lavil Rama. Sayil menm moute al lakay li lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 15:35 ============ 1Sa 15:35 And Samuel came no more to see Saul until the day of his death: nevertheless Samuel mourned for Saul: and the LORD repented that he had made Saul king over Israel.(KJV-1611) 1Sa 15:35 Depi lè sa a, Samyèl pa janm wè wa Sayil ankò jouk li mouri. Men, sa te fè l' lapenn anpil pou Sayil. Seyè a menm te règrèt deske li te fè Sayil wa pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:1 ============ 1Sa 16:1 And the LORD said unto Samuel, How long wilt thou mourn for Saul, seeing I have rejected him from reigning over Israel? fill thine horn with oil, and go, I will send thee to Jesse the Bethlehemite: for I have provided me a king among his sons.(KJV-1611) 1Sa 16:1 Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:2 ============ 1Sa 16:2 And Samuel said, How can I go? if Saul hear it, he will kill me. And the LORD said, Take an heifer with thee, and say, I am come to sacrifice to the LORD.(KJV-1611) 1Sa 16:2 Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:3 ============ 1Sa 16:3 And call Jesse to the sacrifice, and I will shew thee what thou shalt do: and thou shalt anoint unto me him whom I name unto thee.(KJV-1611) 1Sa 16:3 W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:4 ============ 1Sa 16:4 And Samuel did that which the LORD spake, and came to Bethlehem. And the elders of the town trembled at his coming, and said, Comest thou peaceably?(KJV-1611) 1Sa 16:4 Samyèl fè tou sa Seyè a te di l' fè a. L' ale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l'. Yo tout te gen kè sote. Yo di l' konsa: -Eske se pou byen nou ou vin isit la?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:5 ============ 1Sa 16:5 And he said, Peaceably: I am come to sacrifice unto the LORD: sanctify yourselves, and come with me to the sacrifice. And he sanctified Jesse and his sons, and called them to the sacrifice.(KJV-1611) 1Sa 16:5 Samyèl di: -Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m' nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:6 ============ 1Sa 16:6 And it came to pass, when they were come, that he looked on Eliab, and said, Surely the LORD's anointed is before him.(KJV-1611) 1Sa 16:6 Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l': -Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Seyè a chwazi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:7 ============ 1Sa 16:7 But the LORD said unto Samuel, Look not on his countenance, or on the height of his stature; because I have refused him: for the LORD seeth not as man seeth; for man looketh on the outward appearance, but the LORD looketh on the heart.(KJV-1611) 1Sa 16:7 Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:8 ============ 1Sa 16:8 Then Jesse called Abinadab, and made him pass before Samuel. And he said, Neither hath the LORD chosen this.(KJV-1611) 1Sa 16:8 Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l' yo, li mennen l' bay Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:9 ============ 1Sa 16:9 Then Jesse made Shammah to pass by. And he said, Neither hath the LORD chosen this.(KJV-1611) 1Sa 16:9 Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: -Sa a tou, se pa li Seyè a chwazi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:10 ============ 1Sa 16:10 Again, Jesse made seven of his sons to pass before Samuel. And Samuel said unto Jesse, The LORD hath not chosen these.(KJV-1611) 1Sa 16:10 Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:11 ============ 1Sa 16:11 And Samuel said unto Jesse, Are here all thy children? And he said, There remaineth yet the youngest, and, behold, he keepeth the sheep. And Samuel said unto Jesse, Send and fetch him: for we will not sit down till he come hither.(KJV-1611) 1Sa 16:11 Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:12 ============ 1Sa 16:12 And he sent, and brought him in. Now he was ruddy, and withal of a beautiful countenance, and goodly to look to. And the LORD said, Arise, anoint him: for this is he.(KJV-1611) 1Sa 16:12 Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:13 ============ 1Sa 16:13 Then Samuel took the horn of oil, and anointed him in the midst of his brethren: and the Spirit of the LORD came upon David from that day forward. So Samuel rose up, and went to Ramah.(KJV-1611) 1Sa 16:13 Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:14 ============ 1Sa 16:14 But the Spirit of the LORD departed from Saul, and an evil spirit from the LORD troubled him.(KJV-1611) 1Sa 16:14 Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:15 ============ 1Sa 16:15 And Saul's servants said unto him, Behold now, an evil spirit from God troubleth thee.(KJV-1611) 1Sa 16:15 Moun k'ap sèvi Sayil yo di l' konsa: -Gade! Ou konnen Seyè a voye yon move lespri sou ou k'ap toumante ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:16 ============ 1Sa 16:16 Let our lord now command thy servants, which are before thee, to seek out a man, who is a cunning player on an harp: and it shall come to pass, when the evil spirit from God is upon thee, that he shall play with his hand, and thou shalt be well.(KJV-1611) 1Sa 16:16 Mèt, annik pase yon lòd, epi nou menm ki la avè ou, n'a chache yon moun ki konn jwe gita. Konsa, chak fwa move lespri a va vin sou ou, moun lan va jwe pou ou, epi w'a santi yon soulajman.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:17 ============ 1Sa 16:17 And Saul said unto his servants, Provide me now a man that can play well, and bring him to me.(KJV-1611) 1Sa 16:17 Sayil di moun k'ap sèvi l' yo: -Al chache yon moun ki konn jwe mizik mennen ban mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:18 ============ 1Sa 16:18 Then answered one of the servants, and said, Behold, I have seen a son of Jesse the Bethlehemite, that is cunning in playing, and a mighty valiant man, and a man of war, and prudent in matters, and a comely person, and the LORD is with him.(KJV-1611) 1Sa 16:18 Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:19 ============ 1Sa 16:19 Wherefore Saul sent messengers unto Jesse, and said, Send me David thy son, which is with the sheep.(KJV-1611) 1Sa 16:19 Se konsa Sayil voye kèk mesaje bò kote Izayi pou di li: -Voye David, pitit gason ou ki konn okipe mouton ou yo, ban mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:20 ============ 1Sa 16:20 And Jesse took an ass laden with bread, and a bottle of wine, and a kid, and sent them by David his son unto Saul.(KJV-1611) 1Sa 16:20 Izayi pran yon veso plen diven, yon jenn ti kabrit ak yon bourik chaje pen, li bay David pou renmèt Sayil. Epi li voye a al jwenn wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:21 ============ 1Sa 16:21 And David came to Saul, and stood before him: and he loved him greatly; and he became his armourbearer.(KJV-1611) 1Sa 16:21 Se konsa David al jwenn Sayil ki pran l' pou sèvi l'. Sayil te vin renmen David anpil. Li pran l' pou pote zam li yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:22 ============ 1Sa 16:22 And Saul sent to Jesse, saying, Let David, I pray thee, stand before me; for he hath found favour in my sight.(KJV-1611) 1Sa 16:22 Sayil voye di Izayi konsa: -Tanpri, kite David rete avè m'. Mwen renmen l' anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 16:23 ============ 1Sa 16:23 And it came to pass, when the evil spirit from God was upon Saul, that David took an harp, and played with his hand: so Saul was refreshed, and was well, and the evil spirit departed from him.(KJV-1611) 1Sa 16:23 Depi lè sa a, chak fwa move lespri Bondye te voye a desann sou Sayil, David pran gita a epi li tonbe jwe. Lè konsa, move lespri a kite l', epi Sayil te soulaje, li te santi l' byen ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:1 ============ 1Sa 17:1 Now the Philistines gathered together their armies to battle, and were gathered together at Shochoh, which belongeth to Judah, and pitched between Shochoh and Azekah, in Ephesdammim.(KJV-1611) 1Sa 17:1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:2 ============ 1Sa 17:2 And Saul and the men of Israel were gathered together, and pitched by the valley of Elah, and set the battle in array against the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 17:2 Sayil vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y' al goumen ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:3 ============ 1Sa 17:3 And the Philistines stood on a mountain on the one side, and Israel stood on a mountain on the other side: and there was a valley between them.(KJV-1611) 1Sa 17:3 Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:4 ============ 1Sa 17:4 And there went out a champion out of the camp of the Philistines, named Goliath, of Gath, whose height was six cubits and a span.(KJV-1611) 1Sa 17:4 Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:5 ============ 1Sa 17:5 And he had an helmet of brass upon his head, and he was armed with a coat of mail; and the weight of the coat was five thousand shekels of brass.(KJV-1611) 1Sa 17:5 Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant liv pou pi piti.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:6 ============ 1Sa 17:6 And he had greaves of brass upon his legs, and a target of brass between his shoulders.(KJV-1611) 1Sa 17:6 Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:7 ============ 1Sa 17:7 And the staff of his spear was like a weaver's beam; and his spear's head weighed six hundred shekels of iron: and one bearing a shield went before him.(KJV-1611) 1Sa 17:7 Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l' avèk plak pwotèj li a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:8 ============ 1Sa 17:8 And he stood and cried unto the armies of Israel, and said unto them, Why are ye come out to set your battle in array? am not I a Philistine, and ye servants to Saul? choose you a man for you, and let him come down to me.(KJV-1611) 1Sa 17:8 Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: -Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l' vin kare avè m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:9 ============ 1Sa 17:9 If he be able to fight with me, and to kill me, then will we be your servants: but if I prevail against him, and kill him, then shall ye be our servants, and serve us.(KJV-1611) 1Sa 17:9 Si l' rive bat mwen pou l' touye m', moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m' touye l', se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:10 ============ 1Sa 17:10 And the Philistine said, I defy the armies of Israel this day; give me a man, that we may fight together.(KJV-1611) 1Sa 17:10 Li di yo ankò: -Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M' pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:11 ============ 1Sa 17:11 When Saul and all Israel heard those words of the Philistine, they were dismayed, and greatly afraid.(KJV-1611) 1Sa 17:11 Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:12 ============ 1Sa 17:12 Now David was the son of that Ephrathite of Bethlehemjudah, whose name was Jesse; and he had eight sons: and the man went among men for an old man in the days of Saul.(KJV-1611) 1Sa 17:12 David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:13 ============ 1Sa 17:13 And the three eldest sons of Jesse went and followed Saul to the battle: and the names of his three sons that went to the battle were Eliab the firstborn, and next unto him Abinadab, and the third Shammah.(KJV-1611) 1Sa 17:13 Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:14 ============ 1Sa 17:14 And David was the youngest: and the three eldest followed Saul.(KJV-1611) 1Sa 17:14 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:15 ============ 1Sa 17:15 But David went and returned from Saul to feed his father's sheep at Bethlehem.(KJV-1611) 1Sa 17:15 Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:16 ============ 1Sa 17:16 And the Philistine drew near morning and evening, and presented himself forty days.(KJV-1611) 1Sa 17:16 Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:17 ============ 1Sa 17:17 And Jesse said unto David his son, Take now for thy brethren an ephah of this parched corn, and these ten loaves, and run to the camp of thy brethren;(KJV-1611) 1Sa 17:17 Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:18 ============ 1Sa 17:18 And carry these ten cheeses unto the captain of their thousand, and look how thy brethren fare, and take their pledge.(KJV-1611) 1Sa 17:18 Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:19 ============ 1Sa 17:19 Now Saul, and they, and all the men of Israel, were in the valley of Elah, fighting with the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 17:19 Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:20 ============ 1Sa 17:20 And David rose up early in the morning, and left the sheep with a keeper, and took, and went, as Jesse had commanded him; and he came to the trench, as the host was going forth to the fight, and shouted for the battle.(KJV-1611) 1Sa 17:20 Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:21 ============ 1Sa 17:21 For Israel and the Philistines had put the battle in array, army against army.(KJV-1611) 1Sa 17:21 Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:22 ============ 1Sa 17:22 And David left his carriage in the hand of the keeper of the carriage, and ran into the army, and came and saluted his brethren.(KJV-1611) 1Sa 17:22 David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:23 ============ 1Sa 17:23 And as he talked with them, behold, there came up the champion, the Philistine of Gath, Goliath by name, out of the armies of the Philistines, and spake according to the same words: and David heard them.(KJV-1611) 1Sa 17:23 Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, soti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l' te konn fè l' anvan an. David tande sa Golyat t'ap di.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:24 ============ 1Sa 17:24 And all the men of Israel, when they saw the man, fled from him, and were sore afraid.(KJV-1611) 1Sa 17:24 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:25 ============ 1Sa 17:25 And the men of Israel said, Have ye seen this man that is come up? surely to defy Israel is he come up: and it shall be, that the man who killeth him, the king will enrich him with great riches, and will give him his daughter, and make his father's house free in Israel.(KJV-1611) 1Sa 17:25 Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:26 ============ 1Sa 17:26 And David spake to the men that stood by him, saying, What shall be done to the man that killeth this Philistine, and taketh away the reproach from Israel? for who is this uncircumcised Philistine, that he should defy the armies of the living God?(KJV-1611) 1Sa 17:26 David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:27 ============ 1Sa 17:27 And the people answered him after this manner, saying, So shall it be done to the man that killeth him.(KJV-1611) 1Sa 17:27 Mesye yo di l' tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:28 ============ 1Sa 17:28 And Eliab his eldest brother heard when he spake unto the men; and Eliab's anger was kindled against David, and he said, Why camest thou down hither? and with whom hast thou left those few sheep in the wilderness? I know thy pride, and the naughtiness of thine heart; for thou art come down that thou mightest see the battle.(KJV-1611) 1Sa 17:28 Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:29 ============ 1Sa 17:29 And David said, What have I now done? Is there not a cause?(KJV-1611) 1Sa 17:29 David reponn li: -Kisa m' fè, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:30 ============ 1Sa 17:30 And he turned from him toward another, and spake after the same manner: and the people answered him again after the former manner.(KJV-1611) 1Sa 17:30 Li vire bò yon lòt moun, li mande l' menm keksyon an. Chak fwa, moun yo fè l' menm repons la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:31 ============ 1Sa 17:31 And when the words were heard which David spake, they rehearsed them before Saul: and he sent for him.(KJV-1611) 1Sa 17:31 Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:32 ============ 1Sa 17:32 And David said to Saul, Let no man's heart fail because of him; thy servant will go and fight with this Philistine.(KJV-1611) 1Sa 17:32 David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:33 ============ 1Sa 17:33 And Saul said to David, Thou art not able to go against this Philistine to fight with him: for thou art but a youth, and he a man of war from his youth.(KJV-1611) 1Sa 17:33 Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l' jenn gason.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:34 ============ 1Sa 17:34 And David said unto Saul, Thy servant kept his father's sheep, and there came a lion, and a bear, and took a lamb out of the flock:(KJV-1611) 1Sa 17:34 David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:35 ============ 1Sa 17:35 And I went out after him, and smote him, and delivered it out of his mouth: and when he arose against me, I caught him by his beard, and smote him, and slew him.(KJV-1611) 1Sa 17:35 mwen kouri dèyè l', m' atake l', mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l' vire sou mwen, mwen pran l' nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:36 ============ 1Sa 17:36 Thy servant slew both the lion and the bear: and this uncircumcised Philistine shall be as one of them, seeing he hath defied the armies of the living God.(KJV-1611) 1Sa 17:36 Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:37 ============ 1Sa 17:37 David said moreover, The LORD that delivered me out of the paw of the lion, and out of the paw of the bear, he will deliver me out of the hand of this Philistine. And Saul said unto David, Go, and the LORD be with thee.(KJV-1611) 1Sa 17:37 David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:38 ============ 1Sa 17:38 And Saul armed David with his armour, and he put an helmet of brass upon his head; also he armed him with a coat of mail.(KJV-1611) 1Sa 17:38 Sayil pran pwòp rad lagè pa l' yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:39 ============ 1Sa 17:39 And David girded his sword upon his armour, and he assayed to go; for he had not proved it. And David said unto Saul, I cannot go with these; for I have not proved them. And David put them off him.(KJV-1611) 1Sa 17:39 David pase nepe Sayil la nan ren l', anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l' mache, li pa t' kapab, paske li pa t' konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: -Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:40 ============ 1Sa 17:40 And he took his staff in his hand, and chose him five smooth stones out of the brook, and put them in a shepherd's bag which he had, even in a scrip; and his sling was in his hand: and he drew near to the Philistine.(KJV-1611) 1Sa 17:40 Lèfini, li pran baton l' nan men l', li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l', li mache sou Golyat.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:41 ============ 1Sa 17:41 And the Philistine came on and drew near unto David; and the man that bare the shield went before him.(KJV-1611) 1Sa 17:41 Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:42 ============ 1Sa 17:42 And when the Philistine looked about, and saw David, he disdained him: for he was but a youth, and ruddy, and of a fair countenance.(KJV-1611) 1Sa 17:42 Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:43 ============ 1Sa 17:43 And the Philistine said unto David, Am I a dog, that thou comest to me with staves? And the Philistine cursed David by his gods.(KJV-1611) 1Sa 17:43 Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:44 ============ 1Sa 17:44 And the Philistine said to David, Come to me, and I will give thy flesh unto the fowls of the air, and to the beasts of the field.(KJV-1611) 1Sa 17:44 Apre sa, li di ankò: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m' bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:45 ============ 1Sa 17:45 Then said David to the Philistine, Thou comest to me with a sword, and with a spear, and with a shield: but I come to thee in the name of the LORD of hosts, the God of the armies of Israel, whom thou hast defied.(KJV-1611) 1Sa 17:45 David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:46 ============ 1Sa 17:46 This day will the LORD deliver thee into mine hand; and I will smite thee, and take thine head from thee; and I will give the carcases of the host of the Philistines this day unto the fowls of the air, and to the wild beasts of the earth; that all the earth may know that there is a God in Israel.(KJV-1611) 1Sa 17:46 Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:47 ============ 1Sa 17:47 And all this assembly shall know that the LORD saveth not with sword and spear: for the battle is the LORD's, and he will give you into our hands.(KJV-1611) 1Sa 17:47 Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:48 ============ 1Sa 17:48 And it came to pass, when the Philistine arose, and came, and drew nigh to meet David, that David hastened, and ran toward the army to meet the Philistine.(KJV-1611) 1Sa 17:48 Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:49 ============ 1Sa 17:49 And David put his hand in his bag, and took thence a stone, and slang it, and smote the Philistine in his forehead, that the stone sunk into his forehead; and he fell upon his face to the earth.(KJV-1611) 1Sa 17:49 Li foure men l' nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:50 ============ 1Sa 17:50 So David prevailed over the Philistine with a sling and with a stone, and smote the Philistine, and slew him; but there was no sword in the hand of David.(KJV-1611) 1Sa 17:50 Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:51 ============ 1Sa 17:51 Therefore David ran, and stood upon the Philistine, and took his sword, and drew it out of the sheath thereof, and slew him, and cut off his head therewith. And when the Philistines saw their champion was dead, they fled.(KJV-1611) 1Sa 17:51 David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:52 ============ 1Sa 17:52 And the men of Israel and of Judah arose, and shouted, and pursued the Philistines, until thou come to the valley, and to the gates of Ekron. And the wounded of the Philistines fell down by the way to Shaaraim, even unto Gath, and unto Ekron.(KJV-1611) 1Sa 17:52 Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:53 ============ 1Sa 17:53 And the children of Israel returned from chasing after the Philistines, and they spoiled their tents.(KJV-1611) 1Sa 17:53 Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:54 ============ 1Sa 17:54 And David took the head of the Philistine, and brought it to Jerusalem; but he put his armour in his tent.(KJV-1611) 1Sa 17:54 David pran tèt Golyat, li pote l' lavil Jerizalèm, men li kenbe zam sòlda Filisti a lakay li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:55 ============ 1Sa 17:55 And when Saul saw David go forth against the Philistine, he said unto Abner, the captain of the host, Abner, whose son is this youth? And Abner said, As thy soul liveth, O king, I cannot tell.(KJV-1611) 1Sa 17:55 Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:56 ============ 1Sa 17:56 And the king said, Enquire thou whose son the stripling is.(KJV-1611) 1Sa 17:56 Wa a di li: -Al chache konnen pitit ki moun li ye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:57 ============ 1Sa 17:57 And as David returned from the slaughter of the Philistine, Abner took him, and brought him before Saul with the head of the Philistine in his hand.(KJV-1611) 1Sa 17:57 Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l', li mennen l' devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l' toujou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 17:58 ============ 1Sa 17:58 And Saul said to him, Whose son art thou, thou young man? And David answered, I am the son of thy servant Jesse the Bethlehemite.(KJV-1611) 1Sa 17:58 Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:1 ============ 1Sa 18:1 And it came to pass, when he had made an end of speaking unto Saul, that the soul of Jonathan was knit with the soul of David, and Jonathan loved him as his own soul.(KJV-1611) 1Sa 18:1 Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:2 ============ 1Sa 18:2 And Saul took him that day, and would let him go no more home to his father's house.(KJV-1611) 1Sa 18:2 Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:3 ============ 1Sa 18:3 Then Jonathan and David made a covenant, because he loved him as his own soul.(KJV-1611) 1Sa 18:3 Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:4 ============ 1Sa 18:4 And Jonathan stripped himself of the robe that was upon him, and gave it to David, and his garments, even to his sword, and to his bow, and to his girdle.(KJV-1611) 1Sa 18:4 Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:5 ============ 1Sa 18:5 And David went out whithersoever Saul sent him, and behaved himself wisely: and Saul set him over the men of war, and he was accepted in the sight of all the people, and also in the sight of Saul's servants.(KJV-1611) 1Sa 18:5 Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:6 ============ 1Sa 18:6 And it came to pass as they came, when David was returned from the slaughter of the Philistine, that the women came out of all cities of Israel, singing and dancing, to meet king Saul, with tabrets, with joy, and with instruments of musick.(KJV-1611) 1Sa 18:6 Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:7 ============ 1Sa 18:7 And the women answered one another as they played, and said, Saul hath slain his thousands, and David his ten thousands.(KJV-1611) 1Sa 18:7 Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:8 ============ 1Sa 18:8 And Saul was very wroth, and the saying displeased him; and he said, They have ascribed unto David ten thousands, and to me they have ascribed but thousands: and what can he have more but the kingdom?(KJV-1611) 1Sa 18:8 Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil , mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:9 ============ 1Sa 18:9 And Saul eyed David from that day and forward.(KJV-1611) 1Sa 18:9 Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:10 ============ 1Sa 18:10 And it came to pass on the morrow, that the evil spirit from God came upon Saul, and he prophesied in the midst of the house: and David played with his hand, as at other times: and there was a javelin in Saul's hand.(KJV-1611) 1Sa 18:10 Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:11 ============ 1Sa 18:11 And Saul cast the javelin; for he said, I will smite David even to the wall with it. And David avoided out of his presence twice.(KJV-1611) 1Sa 18:11 Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:12 ============ 1Sa 18:12 And Saul was afraid of David, because the LORD was with him, and was departed from Saul.(KJV-1611) 1Sa 18:12 Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:13 ============ 1Sa 18:13 Therefore Saul removed him from him, and made him his captain over a thousand; and he went out and came in before the people.(KJV-1611) 1Sa 18:13 Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:14 ============ 1Sa 18:14 And David behaved himself wisely in all his ways; and the LORD was with him.(KJV-1611) 1Sa 18:14 Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:15 ============ 1Sa 18:15 Wherefore when Saul saw that he behaved himself very wisely, he was afraid of him.(KJV-1611) 1Sa 18:15 Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:16 ============ 1Sa 18:16 But all Israel and Judah loved David, because he went out and came in before them.(KJV-1611) 1Sa 18:16 Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:17 ============ 1Sa 18:17 And Saul said to David, Behold my elder daughter Merab, her will I give thee to wife: only be thou valiant for me, and fight the LORD's battles. For Saul said, Let not mine hand be upon him, but let the hand of the Philistines be upon him.(KJV-1611) 1Sa 18:17 Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:18 ============ 1Sa 18:18 And David said unto Saul, Who am I? and what is my life, or my father's family in Israel, that I should be son in law to the king?(KJV-1611) 1Sa 18:18 David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fè pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m' marye ak pitit fi wa a?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:19 ============ 1Sa 18:19 But it came to pass at the time when Merab Saul's daughter should have been given to David, that she was given unto Adriel the Meholathite to wife.(KJV-1611) 1Sa 18:19 Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:20 ============ 1Sa 18:20 And Michal Saul's daughter loved David: and they told Saul, and the thing pleased him.(KJV-1611) 1Sa 18:20 Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y' al di Sayil sa, bagay la te fè l' plezi.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:21 ============ 1Sa 18:21 And Saul said, I will give him her, that she may be a snare to him, and that the hand of the Philistines may be against him. Wherefore Saul said to David, Thou shalt this day be my son in law in the one of the twain.(KJV-1611) 1Sa 18:21 Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:22 ============ 1Sa 18:22 And Saul commanded his servants, saying, Commune with David secretly, and say, Behold, the king hath delight in thee, and all his servants love thee: now therefore be the king's son in law.(KJV-1611) 1Sa 18:22 Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lòd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:23 ============ 1Sa 18:23 And Saul's servants spake those words in the ears of David. And David said, Seemeth it to you a light thing to be a king's son in law, seeing that I am a poor man, and lightly esteemed?(KJV-1611) 1Sa 18:23 Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:24 ============ 1Sa 18:24 And the servants of Saul told him, saying, On this manner spake David.(KJV-1611) 1Sa 18:24 Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:25 ============ 1Sa 18:25 And Saul said, Thus shall ye say to David, The king desireth not any dowry, but an hundred foreskins of the Philistines, to be avenged of the king's enemies. But Saul thought to make David fall by the hand of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 18:25 Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:26 ============ 1Sa 18:26 And when his servants told David these words, it pleased David well to be the king's son in law: and the days were not expired.(KJV-1611) 1Sa 18:26 Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:27 ============ 1Sa 18:27 Wherefore David arose and went, he and his men, and slew of the Philistines two hundred men; and David brought their foreskins, and they gave them in full tale to the king, that he might be the king's son in law. And Saul gave him Michal his daughter to wife.(KJV-1611) 1Sa 18:27 David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:28 ============ 1Sa 18:28 And Saul saw and knew that the LORD was with David, and that Michal Saul's daughter loved him.(KJV-1611) 1Sa 18:28 Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:29 ============ 1Sa 18:29 And Saul was yet the more afraid of David; and Saul became David's enemy continually.(KJV-1611) 1Sa 18:29 Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 18:30 ============ 1Sa 18:30 Then the princes of the Philistines went forth: and it came to pass, after they went forth, that David behaved himself more wisely than all the servants of Saul; so that his name was much set by.(KJV-1611) 1Sa 18:30 Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:1 ============ 1Sa 19:1 And Saul spake to Jonathan his son, and to all his servants, that they should kill David.(KJV-1611) 1Sa 19:1 Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:2 ============ 1Sa 19:2 But Jonathan Saul's son delighted much in David: and Jonathan told David, saying, Saul my father seeketh to kill thee: now therefore, I pray thee, take heed to thyself until the morning, and abide in a secret place, and hide thyself:(KJV-1611) 1Sa 19:2 Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:3 ============ 1Sa 19:3 And I will go out and stand beside my father in the field where thou art, and I will commune with my father of thee; and what I see, that I will tell thee.(KJV-1611) 1Sa 19:3 Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:4 ============ 1Sa 19:4 And Jonathan spake good of David unto Saul his father, and said unto him, Let not the king sin against his servant, against David; because he hath not sinned against thee, and because his works have been to thee-ward very good:(KJV-1611) 1Sa 19:4 Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:5 ============ 1Sa 19:5 For he did put his life in his hand, and slew the Philistine, and the LORD wrought a great salvation for all Israel: thou sawest it, and didst rejoice: wherefore then wilt thou sin against innocent blood, to slay David without a cause?(KJV-1611) 1Sa 19:5 Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:6 ============ 1Sa 19:6 And Saul hearkened unto the voice of Jonathan: and Saul sware, As the LORD liveth, he shall not be slain.(KJV-1611) 1Sa 19:6 Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di l': -Mwen fè sèman devan Seyè a ki vivan, yo p'ap touye David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:7 ============ 1Sa 19:7 And Jonathan called David, and Jonathan shewed him all those things. And Jonathan brought David to Saul, and he was in his presence, as in times past.(KJV-1611) 1Sa 19:7 Jonatan rele David, li rapòte l' tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:8 ============ 1Sa 19:8 And there was war again: and David went out, and fought with the Philistines, and slew them with a great slaughter; and they fled from him.(KJV-1611) 1Sa 19:8 Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:9 ============ 1Sa 19:9 And the evil spirit from the LORD was upon Saul, as he sat in his house with his javelin in his hand: and David played with his hand.(KJV-1611) 1Sa 19:9 Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:10 ============ 1Sa 19:10 And Saul sought to smite David even to the wall with the javelin: but he slipped away out of Saul's presence, and he smote the javelin into the wall: and David fled, and escaped that night.(KJV-1611) 1Sa 19:10 Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:11 ============ 1Sa 19:11 Saul also sent messengers unto David's house, to watch him, and to slay him in the morning: and Michal David's wife told him, saying, If thou save not thy life to night, to morrow thou shalt be slain.(KJV-1611) 1Sa 19:11 Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:12 ============ 1Sa 19:12 So Michal let David down through a window: and he went, and fled, and escaped.(KJV-1611) 1Sa 19:12 Li fè David soti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:13 ============ 1Sa 19:13 And Michal took an image, and laid it in the bed, and put a pillow of goats' hair for his bolster, and covered it with a cloth.(KJV-1611) 1Sa 19:13 Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zòrye fèt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:14 ============ 1Sa 19:14 And when Saul sent messengers to take David, she said, He is sick.(KJV-1611) 1Sa 19:14 Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:15 ============ 1Sa 19:15 And Saul sent the messengers again to see David, saying, Bring him up to me in the bed, that I may slay him.(KJV-1611) 1Sa 19:15 Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wè David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fè touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:16 ============ 1Sa 19:16 And when the messengers were come in, behold, there was an image in the bed, with a pillow of goats' hair for his bolster.(KJV-1611) 1Sa 19:16 Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:17 ============ 1Sa 19:17 And Saul said unto Michal, Why hast thou deceived me so, and sent away mine enemy, that he is escaped? And Michal answered Saul, He said unto me, Let me go; why should I kill thee?(KJV-1611) 1Sa 19:17 Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:18 ============ 1Sa 19:18 So David fled, and escaped, and came to Samuel to Ramah, and told him all that Saul had done to him. And he and Samuel went and dwelt in Naioth.(KJV-1611) 1Sa 19:18 David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:19 ============ 1Sa 19:19 And it was told Saul, saying, Behold, David is at Naioth in Ramah.(KJV-1611) 1Sa 19:19 Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:20 ============ 1Sa 19:20 And Saul sent messengers to take David: and when they saw the company of the prophets prophesying, and Samuel standing as appointed over them, the Spirit of God was upon the messengers of Saul, and they also prophesied.(KJV-1611) 1Sa 19:20 Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:21 ============ 1Sa 19:21 And when it was told Saul, he sent other messengers, and they prophesied likewise. And Saul sent messengers again the third time, and they prophesied also.(KJV-1611) 1Sa 19:21 Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:22 ============ 1Sa 19:22 Then went he also to Ramah, and came to a great well that is in Sechu: and he asked and said, Where are Samuel and David? And one said, Behold, they be at Naioth in Ramah.(KJV-1611) 1Sa 19:22 Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:23 ============ 1Sa 19:23 And he went thither to Naioth in Ramah: and the Spirit of God was upon him also, and he went on, and prophesied, until he came to Naioth in Ramah.(KJV-1611) 1Sa 19:23 Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 19:24 ============ 1Sa 19:24 And he stripped off his clothes also, and prophesied before Samuel in like manner, and lay down naked all that day and all that night. Wherefore they say, Is Saul also among the prophets?(KJV-1611) 1Sa 19:24 Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:1 ============ 1Sa 20:1 And David fled from Naioth in Ramah, and came and said before Jonathan, What have I done? what is mine iniquity? and what is my sin before thy father, that he seeketh my life?(KJV-1611) 1Sa 20:1 David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:2 ============ 1Sa 20:2 And he said unto him, God forbid; thou shalt not die: behold, my father will do nothing either great or small, but that he will shew it me: and why should my father hide this thing from me? it is not so.(KJV-1611) 1Sa 20:2 Jonatan reponn li: -Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m' pa fè anyen san li pa di m'. Pa gen rezon pou l' ta kache m' sa. Se pa vre, monchè!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:3 ============ 1Sa 20:3 And David sware moreover, and said, Thy father certainly knoweth that I have found grace in thine eyes; and he saith, Let not Jonathan know this, lest he be grieved: but truly as the LORD liveth, and as thy soul liveth, there is but a step between me and death.(KJV-1611) 1Sa 20:3 Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:4 ============ 1Sa 20:4 Then said Jonathan unto David, Whatsoever thy soul desireth, I will even do it for thee.(KJV-1611) 1Sa 20:4 Jonatan di l': -Sa ou vle m' fè pou ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:5 ============ 1Sa 20:5 And David said unto Jonathan, Behold, to morrow is the new moon, and I should not fail to sit with the king at meat: but let me go, that I may hide myself in the field unto the third day at even.(KJV-1611) 1Sa 20:5 David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:6 ============ 1Sa 20:6 If thy father at all miss me, then say, David earnestly asked leave of me that he might run to Bethlehem his city: for there is a yearly sacrifice there for all the family.(KJV-1611) 1Sa 20:6 Si papa ou wè mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l' mwen te mande ou pèmisyon pou m' kouri rive lakay mwen, lavil Betleyèm, paske se lè pou yo fè sèvis ofrann bèt pou yo fè chak lanne pou tout fanmi mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:7 ============ 1Sa 20:7 If he say thus, It is well; thy servant shall have peace: but if he be very wroth, then be sure that evil is determined by him.(KJV-1611) 1Sa 20:7 Si li di li dakò, w'a konnen mwen sove. Men, si li fè kolè, w'a konnen li soti vre pou li touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:8 ============ 1Sa 20:8 Therefore thou shalt deal kindly with thy servant; for thou hast brought thy servant into a covenant of the LORD with thee: notwithstanding, if there be in me iniquity, slay me thyself; for why shouldest thou bring me to thy father?(KJV-1611) 1Sa 20:8 Tanpri, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Seyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antò, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:9 ============ 1Sa 20:9 And Jonathan said, Far be it from thee: for if I knew certainly that evil were determined by my father to come upon thee, then would not I tell it thee?(KJV-1611) 1Sa 20:9 Jonatan di li: -Wete sa nan lide ou, monchè! Si mwen vin konnen papa m' soti vre pou touye ou, m'ap avèti ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:10 ============ 1Sa 20:10 Then said David to Jonathan, Who shall tell me? or what if thy father answer thee roughly?(KJV-1611) 1Sa 20:10 David di li: -Ki moun ki va fè m' konnen si papa ou reponn ou mal?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:11 ============ 1Sa 20:11 And Jonathan said unto David, Come, and let us go out into the field. And they went out both of them into the field.(KJV-1611) 1Sa 20:11 Jonatan di li: -Ann al deyò nan jaden yo. Epi yo tou de soti, y' al nan jaden yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:12 ============ 1Sa 20:12 And Jonathan said unto David, O LORD God of Israel, when I have sounded my father about to morrow any time, or the third day, and, behold, if there be good toward David, and I then send not unto thee, and shew it thee;(KJV-1611) 1Sa 20:12 Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:13 ============ 1Sa 20:13 The LORD do so and much more to Jonathan: but if it please my father to do thee evil, then I will shew it thee, and send thee away, that thou mayest go in peace: and the LORD be with thee, as he hath been with my father.(KJV-1611) 1Sa 20:13 Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:14 ============ 1Sa 20:14 And thou shalt not only while yet I live shew me the kindness of the LORD, that I die not:(KJV-1611) 1Sa 20:14 Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:15 ============ 1Sa 20:15 But also thou shalt not cut off thy kindness from my house for ever: no, not when the LORD hath cut off the enemies of David every one from the face of the earth.(KJV-1611) 1Sa 20:15 Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Seyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:16 ============ 1Sa 20:16 So Jonathan made a covenant with the house of David, saying, Let the LORD even require it at the hand of David's enemies.(KJV-1611) 1Sa 20:16 piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:17 ============ 1Sa 20:17 And Jonathan caused David to swear again, because he loved him: for he loved him as he loved his own soul.(KJV-1611) 1Sa 20:17 Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:18 ============ 1Sa 20:18 Then Jonathan said to David, To morrow is the new moon: and thou shalt be missed, because thy seat will be empty.(KJV-1611) 1Sa 20:18 Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:19 ============ 1Sa 20:19 And when thou hast stayed three days, then thou shalt go down quickly, and come to the place where thou didst hide thyself when the business was in hand, and shalt remain by the stone Ezel.(KJV-1611) 1Sa 20:19 Apre denmen y'ap wè ou pa la menm. Lè sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dènye fwa a. W'a rete kache dèyè pil wòch Ezèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:20 ============ 1Sa 20:20 And I will shoot three arrows on the side thereof, as though I shot at a mark.(KJV-1611) 1Sa 20:20 Mwen menm, m'a tire twa flèch nan direksyon pil wòch la, tankou se pil wòch la menm m'ap vize.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:21 ============ 1Sa 20:21 And, behold, I will send a lad, saying, Go, find out the arrows. If I expressly say unto the lad, Behold, the arrows are on this side of thee, take them; then come thou: for there is peace to thee, and no hurt; as the LORD liveth.(KJV-1611) 1Sa 20:21 Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Seyè a, anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:22 ============ 1Sa 20:22 But if I say thus unto the young man, Behold, the arrows are beyond thee; go thy way: for the LORD hath sent thee away.(KJV-1611) 1Sa 20:22 Men, si mwen di domestik la: flèch yo tonbe bò lòt bò, yo depase kote ou ye a, leve met deyò, paske se Seyè a menm k'ap voye ou ale.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:23 ============ 1Sa 20:23 And as touching the matter which thou and I have spoken of, behold, the LORD be between thee and me for ever.(KJV-1611) 1Sa 20:23 Pou pwomès nou fè yonn bay lòt la, Seyè a ap fè n'ap kenbe l' pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:24 ============ 1Sa 20:24 So David hid himself in the field: and when the new moon was come, the king sat him down to eat meat.(KJV-1611) 1Sa 20:24 Se konsa David t' al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l' manje.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:25 ============ 1Sa 20:25 And the king sat upon his seat, as at other times, even upon a seat by the wall: and Jonathan arose, and Abner sat by Saul's side, and David's place was empty.(KJV-1611) 1Sa 20:25 Li te chita nan plas li, sou fotèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:26 ============ 1Sa 20:26 Nevertheless Saul spake not any thing that day: for he thought, Something hath befallen him, he is not clean; surely he is not clean.(KJV-1611) 1Sa 20:26 Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kè l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l' sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:27 ============ 1Sa 20:27 And it came to pass on the morrow, which was the second day of the month, that David's place was empty: and Saul said unto Jonathan his son, Wherefore cometh not the son of Jesse to meat, neither yesterday, nor to day?(KJV-1611) 1Sa 20:27 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:28 ============ 1Sa 20:28 And Jonathan answered Saul, David earnestly asked leave of me to go to Bethlehem:(KJV-1611) 1Sa 20:28 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:29 ============ 1Sa 20:29 And he said, Let me go, I pray thee; for our family hath a sacrifice in the city; and my brother, he hath commanded me to be there: and now, if I have found favour in thine eyes, let me get away, I pray thee, and see my brethren. Therefore he cometh not unto the king's table.(KJV-1611) 1Sa 20:29 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:30 ============ 1Sa 20:30 Then Saul's anger was kindled against Jonathan, and he said unto him, Thou son of the perverse rebellious woman, do not I know that thou hast chosen the son of Jesse to thine own confusion, and unto the confusion of thy mother's nakedness?(KJV-1611) 1Sa 20:30 Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:31 ============ 1Sa 20:31 For as long as the son of Jesse liveth upon the ground, thou shalt not be established, nor thy kingdom. Wherefore now send and fetch him unto me, for he shall surely die.(KJV-1611) 1Sa 20:31 Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:32 ============ 1Sa 20:32 And Jonathan answered Saul his father, and said unto him, Wherefore shall he be slain? what hath he done?(KJV-1611) 1Sa 20:32 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:33 ============ 1Sa 20:33 And Saul cast a javelin at him to smite him: whereby Jonathan knew that it was determined of his father to slay David.(KJV-1611) 1Sa 20:33 Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:34 ============ 1Sa 20:34 So Jonathan arose from the table in fierce anger, and did eat no meat the second day of the month: for he was grieved for David, because his father had done him shame.(KJV-1611) 1Sa 20:34 Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:35 ============ 1Sa 20:35 And it came to pass in the morning, that Jonathan went out into the field at the time appointed with David, and a little lad with him.(KJV-1611) 1Sa 20:35 Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:36 ============ 1Sa 20:36 And he said unto his lad, Run, find out now the arrows which I shoot. And as the lad ran, he shot an arrow beyond him.(KJV-1611) 1Sa 20:36 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:37 ============ 1Sa 20:37 And when the lad was come to the place of the arrow which Jonathan had shot, Jonathan cried after the lad, and said, Is not the arrow beyond thee?(KJV-1611) 1Sa 20:37 Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:38 ============ 1Sa 20:38 And Jonathan cried after the lad, Make speed, haste, stay not. And Jonathan's lad gathered up the arrows, and came to his master.(KJV-1611) 1Sa 20:38 Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:39 ============ 1Sa 20:39 But the lad knew not any thing: only Jonathan and David knew the matter.(KJV-1611) 1Sa 20:39 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:40 ============ 1Sa 20:40 And Jonathan gave his artillery unto his lad, and said unto him, Go, carry them to the city.(KJV-1611) 1Sa 20:40 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:41 ============ 1Sa 20:41 And as soon as the lad was gone, David arose out of a place toward the south, and fell on his face to the ground, and bowed himself three times: and they kissed one another, and wept one with another, until David exceeded.(KJV-1611) 1Sa 20:41 Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 20:42 ============ 1Sa 20:42 And Jonathan said to David, Go in peace, forasmuch as we have sworn both of us in the name of the LORD, saying, The LORD be between me and thee, and between my seed and thy seed for ever. And he arose and departed: and Jonathan went into the city.(KJV-1611) 1Sa 20:42 Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:1 ============ 1Sa 21:1 Then came David to Nob to Ahimelech the priest: and Ahimelech was afraid at the meeting of David, and said unto him, Why art thou alone, and no man with thee?(KJV-1611) 1Sa 21:1 David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:2 ============ 1Sa 21:2 And David said unto Ahimelech the priest, The king hath commanded me a business, and hath said unto me, Let no man know any thing of the business whereabout I send thee, and what I have commanded thee: and I have appointed my servants to such and such a place.(KJV-1611) 1Sa 21:2 David reponn li: -Wa a voye m' regle yon bagay pou li. Li di m' pa kite pesonn konnen sa li voye m' fè a. Pou moun ki avè m' yo, mwen ba yo randevou yon kote.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:3 ============ 1Sa 21:3 Now therefore what is under thine hand? give me five loaves of bread in mine hand, or what there is present.(KJV-1611) 1Sa 21:3 Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:4 ============ 1Sa 21:4 And the priest answered David, and said, There is no common bread under mine hand, but there is hallowed bread; if the young men have kept themselves at least from women.(KJV-1611) 1Sa 21:4 Prèt la di l': -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:5 ============ 1Sa 21:5 And David answered the priest, and said unto him, Of a truth women have been kept from us about these three days, since I came out, and the vessels of the young men are holy, and the bread is in a manner common, yea, though it were sanctified this day in the vessel.(KJV-1611) 1Sa 21:5 David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:6 ============ 1Sa 21:6 So the priest gave him hallowed bread: for there was no bread there but the shewbread, that was taken from before the LORD, to put hot bread in the day when it was taken away.(KJV-1611) 1Sa 21:6 Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:7 ============ 1Sa 21:7 Now a certain man of the servants of Saul was there that day, detained before the LORD; and his name was Doeg, an Edomite, the chiefest of the herdmen that belonged to Saul.(KJV-1611) 1Sa 21:7 Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l' te ofri pou Seyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:8 ============ 1Sa 21:8 And David said unto Ahimelech, And is there not here under thine hand spear or sword? for I have neither brought my sword nor my weapons with me, because the king's business required haste.(KJV-1611) 1Sa 21:8 David di Akimelèk ankò: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m' lòd pou m' te pati prese prese, mwen pa t' gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lòt zam.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:9 ============ 1Sa 21:9 And the priest said, The sword of Goliath the Philistine, whom thou slewest in the valley of Elah, behold, it is here wrapped in a cloth behind the ephod: if thou wilt take that, take it: for there is no other save that here. And David said, There is none like that; give it me.(KJV-1611) 1Sa 21:9 Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mèt pran l'. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:10 ============ 1Sa 21:10 And David arose and fled that day for fear of Saul, and went to Achish the king of Gath.(KJV-1611) 1Sa 21:10 Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:11 ============ 1Sa 21:11 And the servants of Achish said unto him, Is not this David the king of the land? did they not sing one to another of him in dances, saying, Saul hath slain his thousands, and David his ten thousands?(KJV-1611) 1Sa 21:11 Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:12 ============ 1Sa 21:12 And David laid up these words in his heart, and was sore afraid of Achish the king of Gath.(KJV-1611) 1Sa 21:12 Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:13 ============ 1Sa 21:13 And he changed his behaviour before them, and feigned himself mad in their hands, and scrabbled on the doors of the gate, and let his spittle fall down upon his beard.(KJV-1611) 1Sa 21:13 Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:14 ============ 1Sa 21:14 Then said Achish unto his servants, Lo, ye see the man is mad: wherefore then have ye brought him to me?(KJV-1611) 1Sa 21:14 Lè sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l' ban mwen?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 21:15 ============ 1Sa 21:15 Have I need of mad men, that ye have brought this fellow to play the mad man in my presence? shall this fellow come into my house?(KJV-1611) 1Sa 21:15 Mwen pa gen kont moun fou avè m' deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:1 ============ 1Sa 22:1 David therefore departed thence, and escaped to the cave Adullam: and when his brethren and all his father's house heard it, they went down thither to him.(KJV-1611) 1Sa 22:1 David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:2 ============ 1Sa 22:2 And every one that was in distress, and every one that was in debt, and every one that was discontented, gathered themselves unto him; and he became a captain over them: and there were with him about four hundred men.(KJV-1611) 1Sa 22:2 Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan gason konsa antou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:3 ============ 1Sa 22:3 And David went thence to Mizpeh of Moab: and he said unto the king of Moab, Let my father and my mother, I pray thee, come forth, and be with you, till I know what God will do for me.(KJV-1611) 1Sa 22:3 David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:4 ============ 1Sa 22:4 And he brought them before the king of Moab: and they dwelt with him all the while that David was in the hold.(KJV-1611) 1Sa 22:4 Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:5 ============ 1Sa 22:5 And the prophet Gad said unto David, Abide not in the hold; depart, and get thee into the land of Judah. Then David departed, and came into the forest of Hareth.(KJV-1611) 1Sa 22:5 Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:6 ============ 1Sa 22:6 When Saul heard that David was discovered, and the men that were with him, (now Saul abode in Gibeah under a tree in Ramah, having his spear in his hand, and all his servants were standing about him;)(KJV-1611) 1Sa 22:6 Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mòn lan, avèk frenn li nan men l'. Tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo te kanpe la bò kote l'. Li te pran nouvèl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:7 ============ 1Sa 22:7 Then Saul said unto his servants that stood about him, Hear now, ye Benjamites; will the son of Jesse give every one of you fields and vineyards, and make you all captains of thousands, and captains of hundreds;(KJV-1611) 1Sa 22:7 Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:8 ============ 1Sa 22:8 That all of you have conspired against me, and there is none that sheweth me that my son hath made a league with the son of Jesse, and there is none of you that is sorry for me, or sheweth unto me that my son hath stirred up my servant against me, to lie in wait, as at this day?(KJV-1611) 1Sa 22:8 Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:9 ============ 1Sa 22:9 Then answered Doeg the Edomite, which was set over the servants of Saul, and said, I saw the son of Jesse coming to Nob, to Ahimelech the son of Ahitub.(KJV-1611) 1Sa 22:9 Doèg, moun peyi Edon an ki te chèf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wè David, pitit gason Izayi a lè li t' ale lavil Nòb, lakay Akimelèk, pitit gason Akitoub la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:10 ============ 1Sa 22:10 And he enquired of the LORD for him, and gave him victuals, and gave him the sword of Goliath the Philistine.(KJV-1611) 1Sa 22:10 Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:11 ============ 1Sa 22:11 Then the king sent to call Ahimelech the priest, the son of Ahitub, and all his father's house, the priests that were in Nob: and they came all of them to the king.(KJV-1611) 1Sa 22:11 Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:12 ============ 1Sa 22:12 And Saul said, Hear now, thou son of Ahitub. And he answered, Here I am, my lord.(KJV-1611) 1Sa 22:12 Sayil di Akimelèk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelèk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:13 ============ 1Sa 22:13 And Saul said unto him, Why have ye conspired against me, thou and the son of Jesse, in that thou hast given him bread, and a sword, and hast enquired of God for him, that he should rise against me, to lie in wait, as at this day?(KJV-1611) 1Sa 22:13 Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:14 ============ 1Sa 22:14 Then Ahimelech answered the king, and said, And who is so faithful among all thy servants as David, which is the king's son in law, and goeth at thy bidding, and is honourable in thine house?(KJV-1611) 1Sa 22:14 Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:15 ============ 1Sa 22:15 Did I then begin to enquire of God for him? be it far from me: let not the king impute any thing unto his servant, nor to all the house of my father: for thy servant knew nothing of all this, less or more.(KJV-1611) 1Sa 22:15 Se pa jòdi a premye fwa mwen pale ak Seyè a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fè konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:16 ============ 1Sa 22:16 And the king said, Thou shalt surely die, Ahimelech, thou, and all thy father's house.(KJV-1611) 1Sa 22:16 Wa a di l' konsa: -Akimelèk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:17 ============ 1Sa 22:17 And the king said unto the footmen that stood about him, Turn, and slay the priests of the LORD: because their hand also is with David, and because they knew when he fled, and did not shew it to me. But the servants of the king would not put forth their hand to fall upon the priests of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 22:17 Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:18 ============ 1Sa 22:18 And the king said to Doeg, Turn thou, and fall upon the priests. And Doeg the Edomite turned, and he fell upon the priests, and slew on that day fourscore and five persons that did wear a linen ephod.(KJV-1611) 1Sa 22:18 Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:19 ============ 1Sa 22:19 And Nob, the city of the priests, smote he with the edge of the sword, both men and women, children and sucklings, and oxen, and asses, and sheep, with the edge of the sword.(KJV-1611) 1Sa 22:19 Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:20 ============ 1Sa 22:20 And one of the sons of Ahimelech the son of Ahitub, named Abiathar, escaped, and fled after David.(KJV-1611) 1Sa 22:20 Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:21 ============ 1Sa 22:21 And Abiathar shewed David that Saul had slain the LORD's priests.(KJV-1611) 1Sa 22:21 Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prèt Seyè yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:22 ============ 1Sa 22:22 And David said unto Abiathar, I knew it that day, when Doeg the Edomite was there, that he would surely tell Saul: I have occasioned the death of all the persons of thy father's house.(KJV-1611) 1Sa 22:22 David di l' konsa: -Depi mwen te wè Doèg, nèg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmò tout fanmi ou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 22:23 ============ 1Sa 22:23 Abide thou with me, fear not: for he that seeketh my life seeketh thy life: but with me thou shalt be in safeguard.(KJV-1611) 1Sa 22:23 Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:1 ============ 1Sa 23:1 Then they told David, saying, Behold, the Philistines fight against Keilah, and they rob the threshingfloors.(KJV-1611) 1Sa 23:1 Yon jou, David vin konnen moun Filisti yo t' al atake lavil Keyila, yo t'ap vòlò tout grenn jaden moun yo te gen sou glasi yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:2 ============ 1Sa 23:2 Therefore David enquired of the LORD, saying, Shall I go and smite these Philistines? And the LORD said unto David, Go, and smite the Philistines, and save Keilah.(KJV-1611) 1Sa 23:2 Lè sa a, David al mande Seyè a: -Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Seyè a di David: -Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:3 ============ 1Sa 23:3 And David's men said unto him, Behold, we be afraid here in Judah: how much more then if we come to Keilah against the armies of the Philistines?(KJV-1611) 1Sa 23:3 Men, moun David yo di l' konsa: -Kote nou ye bò isit la nan peyi Jida, nou te pè kont kò nou deja. Sa pral pi rèd pou nou si se pou n' al lavil Keyila pou n' goumen ak lame moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:4 ============ 1Sa 23:4 Then David enquired of the LORD yet again. And the LORD answered him and said, Arise, go down to Keilah; for I will deliver the Philistines into thine hand.(KJV-1611) 1Sa 23:4 David tounen al pale ak Seyè a ankò. Seyè a reponn li: -Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:5 ============ 1Sa 23:5 So David and his men went to Keilah, and fought with the Philistines, and brought away their cattle, and smote them with a great slaughter. So David saved the inhabitants of Keilah.(KJV-1611) 1Sa 23:5 Se konsa, David mache sou lavil Keyila avèk tout moun ki te avè l' yo. Li atake moun Filisti yo. Li touye anpil nan yo, epi li pran tout zannimo yo. Se konsa David te delivre moun lavil Keyila yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:6 ============ 1Sa 23:6 And it came to pass, when Abiathar the son of Ahimelech fled to David to Keilah, that he came down with an ephod in his hand.(KJV-1611) 1Sa 23:6 Lè Abyata, pitit gason Akimelèk la, te sove al jwenn David, li te desann lavil Keyila avèk Bwat Kontra Bondye a nan men l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:7 ============ 1Sa 23:7 And it was told Saul that David was come to Keilah. And Saul said, God hath delivered him into mine hand; for he is shut in, by entering into a town that hath gates and bars.(KJV-1611) 1Sa 23:7 Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fèmen kò l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:8 ============ 1Sa 23:8 And Saul called all the people together to war, to go down to Keilah, to besiege David and his men.(KJV-1611) 1Sa 23:8 Se konsa Sayil fè rele tout lame li a pou y' al goumen, pou yo mache sou lavil Keyila, pou yo sènen David ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:9 ============ 1Sa 23:9 And David knew that Saul secretly practised mischief against him; and he said to Abiathar the priest, Bring hither the ephod.(KJV-1611) 1Sa 23:9 Lè David tande Sayil te fè lide vin atake l', li rele Abyata, prèt la, li di l' konsa: -Pote Bwat Bondye a vini!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:10 ============ 1Sa 23:10 Then said David, O LORD God of Israel, thy servant hath certainly heard that Saul seeketh to come to Keilah, to destroy the city for my sake.(KJV-1611) 1Sa 23:10 Epi David di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, mwen tande yo di Sayil pare pou l' antre lavil Keyila, pou l' kraze l' nèt e se dèyè m' li ye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:11 ============ 1Sa 23:11 Will the men of Keilah deliver me up into his hand? will Saul come down, as thy servant hath heard? O LORD God of Israel, I beseech thee, tell thy servant. And the LORD said, He will come down.(KJV-1611) 1Sa 23:11 Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men l'? Eske se tout bon Sayil ap desann jan yo di m' li an? O Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, di m' si se vre? Seyè a reponn: -Sayil ap desann vre!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:12 ============ 1Sa 23:12 Then said David, Will the men of Keilah deliver me and my men into the hand of Saul? And the LORD said, They will deliver thee up.(KJV-1611) 1Sa 23:12 David di li: -Eske moun lavil Keyila yo pral lage m' nan men Sayil? Seyè a reponn: -Y'ap fè l' vre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:13 ============ 1Sa 23:13 Then David and his men, which were about six hundred, arose and departed out of Keilah, and went whithersoever they could go. And it was told Saul that David was escaped from Keilah; and he forbare to go forth.(KJV-1611) 1Sa 23:13 Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Yo te sisan konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:14 ============ 1Sa 23:14 And David abode in the wilderness in strong holds, and remained in a mountain in the wilderness of Ziph. And Saul sought him every day, but God delivered him not into his hand.(KJV-1611) 1Sa 23:14 David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:15 ============ 1Sa 23:15 And David saw that Saul was come out to seek his life: and David was in the wilderness of Ziph in a wood.(KJV-1611) 1Sa 23:15 Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te soti pou touye l'. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:16 ============ 1Sa 23:16 And Jonathan Saul's son arose, and went to David into the wood, and strengthened his hand in God.(KJV-1611) 1Sa 23:16 Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:17 ============ 1Sa 23:17 And he said unto him, Fear not: for the hand of Saul my father shall not find thee; and thou shalt be king over Israel, and I shall be next unto thee; and that also Saul my father knoweth.(KJV-1611) 1Sa 23:17 Li t'ap di l' konsa: -David monchè, ou pa bezwen pè! Sayil, papa m', p'ap janm ka jwenn ou. Se ou menm ki gen pou wa pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'ap vin apre ou. Ata Sayil, papa m', konn sa tou!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:18 ============ 1Sa 23:18 And they two made a covenant before the LORD: and David abode in the wood, and Jonathan went to his house.(KJV-1611) 1Sa 23:18 De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:19 ============ 1Sa 23:19 Then came up the Ziphites to Saul to Gibeah, saying, Doth not David hide himself with us in strong holds in the wood, in the hill of Hachilah, which is on the south of Jeshimon?(KJV-1611) 1Sa 23:19 Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:20 ============ 1Sa 23:20 Now therefore, O king, come down according to all the desire of thy soul to come down; and our part shall be to deliver him into the king's hand.(KJV-1611) 1Sa 23:20 Nenpòt kilè ou fè lide desann lakay nou, ou mèt desann, n'a mete men sou li pou nou ba ou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:21 ============ 1Sa 23:21 And Saul said, Blessed be ye of the LORD; for ye have compassion on me.(KJV-1611) 1Sa 23:21 Sayil reponn yo: -Se pou Seyè a beni nou pou sa n'ap fè pou mwen la a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:22 ============ 1Sa 23:22 Go, I pray you, prepare yet, and know and see his place where his haunt is, and who hath seen him there: for it is told me that he dealeth very subtilly.(KJV-1611) 1Sa 23:22 Ale non. Ale wè si se vre. Se pou nou chache konnen byen kote li fè, ki moun ki wè l' la. Paske yo di m' li malen anpil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:23 ============ 1Sa 23:23 See therefore, and take knowledge of all the lurking places where he hideth himself, and come ye again to me with the certainty, and I will go with you: and it shall come to pass, if he be in the land, that I will search him out throughout all the thousands of Judah.(KJV-1611) 1Sa 23:23 Chache konnen tout kote li kab kache. Epi lè n'a sèten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lè sa a, m'a desann avèk nou. Si li la toujou nan peyi a, m' aval chache l', menm si m' dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:24 ============ 1Sa 23:24 And they arose, and went to Ziph before Saul: but David and his men were in the wilderness of Maon, in the plain on the south of Jeshimon.(KJV-1611) 1Sa 23:24 Se konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezè Maon an, nan fon ki nan pòsyon sid dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:25 ============ 1Sa 23:25 Saul also and his men went to seek him. And they told David; wherefore he came down into a rock, and abode in the wilderness of Maon. And when Saul heard that, he pursued after David in the wilderness of Maon.(KJV-1611) 1Sa 23:25 Sayil ak moun pa l' yo mete chache David. Men David vin konn sa. Li desann nan Pas Galèt la, ki nan dezè Maon an. Epi li rete la. Lè Sayil vin konn sa, li desann dèyè David nan dezè Maon an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:26 ============ 1Sa 23:26 And Saul went on this side of the mountain, and David and his men on that side of the mountain: and David made haste to get away for fear of Saul; for Saul and his men compassed David and his men round about to take them.(KJV-1611) 1Sa 23:26 Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:27 ============ 1Sa 23:27 But there came a messenger unto Saul, saying, Haste thee, and come; for the Philistines have invaded the land.(KJV-1611) 1Sa 23:27 Lè sa a, yon mesaje vin jwenn Sayil, li di l' konsa: -Tounen touswit, paske men moun Filisti yo ap anvayi peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:28 ============ 1Sa 23:28 Wherefore Saul returned from pursuing after David, and went against the Philistines: therefore they called that place Selahammahlekoth.(KJV-1611) 1Sa 23:28 Sayil sispann kouri dèyè David, l' al mache kontre moun Filisti yo. Se poutèt sa yo rele ravin sa a Galèt Separasyon.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 23:29 ============ 1Sa 23:29 And David went up from thence, and dwelt in strong holds at Engedi.(KJV-1611) 1Sa 23:29 David menm ale nan falèz Angedi yo, li rete kache la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:1 ============ 1Sa 24:1 And it came to pass, when Saul was returned from following the Philistines, that it was told him, saying, Behold, David is in the wilderness of Engedi.(KJV-1611) 1Sa 24:1 Lè Sayil tounen soti fè lagè ak moun Filisti yo, yo vin di l' David te nan dezè Angedi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:2 ============ 1Sa 24:2 Then Saul took three thousand chosen men out of all Israel, and went to seek David and his men upon the rocks of the wild goats.(KJV-1611) 1Sa 24:2 Sayil pran twamil sòlda nan pèp Izrayèl la, sa ki te fò anpil nan fè lagè. Epi li pati al chache David ak mesye l' yo sou solèy leve Wòch Kabrit mawon yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:3 ============ 1Sa 24:3 And he came to the sheepcotes by the way, where was a cave; and Saul went in to cover his feet: and David and his men remained in the sides of the cave.(KJV-1611) 1Sa 24:3 Li rive devan yon gwòt ki te toupre yon pak mouton bò wout la. Li antre nan gwòt la al fè bezwen li. David menm te kache nan fon gwòt la ansanm ak mesye l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:4 ============ 1Sa 24:4 And the men of David said unto him, Behold the day of which the LORD said unto thee, Behold, I will deliver thine enemy into thine hand, that thou mayest do to him as it shall seem good unto thee. Then David arose, and cut off the skirt of Saul's robe privily.(KJV-1611) 1Sa 24:4 Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:5 ============ 1Sa 24:5 And it came to pass afterward, that David's heart smote him, because he had cut off Saul's skirt.(KJV-1611) 1Sa 24:5 Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:6 ============ 1Sa 24:6 And he said unto his men, The LORD forbid that I should do this thing unto my master, the LORD's anointed, to stretch forth mine hand against him, seeing he is the anointed of the LORD.(KJV-1611) 1Sa 24:6 Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:7 ============ 1Sa 24:7 So David stayed his servants with these words, and suffered them not to rise against Saul. But Saul rose up out of the cave, and went on his way.(KJV-1611) 1Sa 24:7 David pale ak mesye l' yo pou yo wete lide konsa nan tèt yo. Li pa kite yo fè Sayil anyen. Sayil leve, li soti nan gwòt la, li mache al fè wout li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:8 ============ 1Sa 24:8 David also arose afterward, and went out of the cave, and cried after Saul, saying, My lord the king. And when Saul looked behind him, David stooped with his face to the earth, and bowed himself.(KJV-1611) 1Sa 24:8 Lè sa a, David soti dèyè l', li rele l': -Monwa! Monwa! Sayil vire gade dèyè li. David tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:9 ============ 1Sa 24:9 And David said to Saul, Wherefore hearest thou men's words, saying, Behold, David seeketh thy hurt?(KJV-1611) 1Sa 24:9 Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:10 ============ 1Sa 24:10 Behold, this day thine eyes have seen how that the LORD had delivered thee to day into mine hand in the cave: and some bade me kill thee: but mine eye spared thee; and I said, I will not put forth mine hand against my lord; for he is the LORD's anointed.(KJV-1611) 1Sa 24:10 Gade, jòdi a ou wè ak je ou ki jan Seyè a te lage ou nan men m' anndan gwòt la. Gen moun ki di m' se pou m' te touye ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. Mwen di mwen p'ap janm leve men m' sou mèt mwen, paske se Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:11 ============ 1Sa 24:11 Moreover, my father, see, yea, see the skirt of thy robe in my hand: for in that I cut off the skirt of thy robe, and killed thee not, know thou and see that there is neither evil nor transgression in mine hand, and I have not sinned against thee; yet thou huntest my soul to take it.(KJV-1611) 1Sa 24:11 Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:12 ============ 1Sa 24:12 The LORD judge between me and thee, and the LORD avenge me of thee: but mine hand shall not be upon thee.(KJV-1611) 1Sa 24:12 Se pou Seyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Seyè a pini ou pou sa w'ap fè m' la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m' sou ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:13 ============ 1Sa 24:13 As saith the proverb of the ancients, Wickedness proceedeth from the wicked: but mine hand shall not be upon thee.(KJV-1611) 1Sa 24:13 Jan pwovèb granmoun lontan yo di: Se moun mechan ki fè mechanste! Men mwen p'ap leve men m' sou ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:14 ============ 1Sa 24:14 After whom is the king of Israel come out? after whom dost thou pursue? after a dead dog, after a flea.(KJV-1611) 1Sa 24:14 Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:15 ============ 1Sa 24:15 The LORD therefore be judge, and judge between me and thee, and see, and plead my cause, and deliver me out of thine hand.(KJV-1611) 1Sa 24:15 Seyè a va sèvi nou jij! L'a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou l' mete bouch nan zafè a, pou l' pran defans mwen, pou l' delivre m' anba men ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:16 ============ 1Sa 24:16 And it came to pass, when David had made an end of speaking these words unto Saul, that Saul said, Is this thy voice, my son David? And Saul lifted up his voice, and wept.(KJV-1611) 1Sa 24:16 Lè David fin pale, Sayil di: -Se pa vwa David, pitit gason m' lan, sa? Epi li pran kriye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:17 ============ 1Sa 24:17 And he said to David, Thou art more righteous than I: for thou hast rewarded me good, whereas I have rewarded thee evil.(KJV-1611) 1Sa 24:17 Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:18 ============ 1Sa 24:18 And thou hast shewed this day how that thou hast dealt well with me: forasmuch as when the LORD had delivered me into thine hand, thou killedst me not.(KJV-1611) 1Sa 24:18 Jòdi a ankò, ou fè m' wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Seyè a lage m' nan men ou, ou pa touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:19 ============ 1Sa 24:19 For if a man find his enemy, will he let him go well away? wherefore the LORD reward thee good for that thou hast done unto me this day.(KJV-1611) 1Sa 24:19 Lè yon moun jwenn okazyon pou l' mete men l' sou lènmi l', èske l'ap kite l' al fè wout li san li pa fè l' anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:20 ============ 1Sa 24:20 And now, behold, I know well that thou shalt surely be king, and that the kingdom of Israel shall be established in thine hand.(KJV-1611) 1Sa 24:20 Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:21 ============ 1Sa 24:21 Swear now therefore unto me by the LORD, that thou wilt not cut off my seed after me, and that thou wilt not destroy my name out of my father's house.(KJV-1611) 1Sa 24:21 Men tanpri, pwomèt mwen, nan non Seyè a, ou p'ap touye pitit mwen yo lè m'a mouri, pou non m' pa disparèt nan fanmi papa m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 24:22 ============ 1Sa 24:22 And David sware unto Saul. And Saul went home; but David and his men gat them up unto the hold.(KJV-1611) 1Sa 24:22 David pwomèt Sayil li p'ap fè sa. Apre sa, Sayil al lakay li. David menm tounen nan kachèt li ansanm ak mesye pa l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:1 ============ 1Sa 25:1 And Samuel died; and all the Israelites were gathered together, and lamented him, and buried him in his house at Ramah. And David arose, and went down to the wilderness of Paran.(KJV-1611) 1Sa 25:1 Samyèl mouri, tout pèp Izrayèl la sanble pou yo kriye lanmò li. Lèfini, yo antere l' anndan lakay li lavil Rama. Apre sa, David pati, li desann nan dezè Paran an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:2 ============ 1Sa 25:2 And there was a man in Maon, whose possessions were in Carmel; and the man was very great, and he had three thousand sheep, and a thousand goats: and he was shearing his sheep in Carmel.(KJV-1611) 1Sa 25:2 Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:3 ============ 1Sa 25:3 Now the name of the man was Nabal; and the name of his wife Abigail: and she was a woman of good understanding, and of a beautiful countenance: but the man was churlish and evil in his doings; and he was of the house of Caleb.(KJV-1611) 1Sa 25:3 Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:4 ============ 1Sa 25:4 And David heard in the wilderness that Nabal did shear his sheep.(KJV-1611) 1Sa 25:4 Antan David nan dezè a, li vin konnen Nabal t'ap taye lenn mouton l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:5 ============ 1Sa 25:5 And David sent out ten young men, and David said unto the young men, Get you up to Carmel, and go to Nabal, and greet him in my name:(KJV-1611) 1Sa 25:5 Li voye dis jenn gason bò kote l'. Li di yo konsa: -Moute lavil Kamèl, ale lakay Nabal, n'a di l' mwen voye bonjou pou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:6 ============ 1Sa 25:6 And thus shall ye say to him that liveth in prosperity, Peace be both to thee, and peace be to thine house, and peace be unto all that thou hast.(KJV-1611) 1Sa 25:6 Men sa n'a di l': David, frè ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:7 ============ 1Sa 25:7 And now I have heard that thou hast shearers: now thy shepherds which were with us, we hurt them not, neither was there ought missing unto them, all the while they were in Carmel.(KJV-1611) 1Sa 25:7 Li tande ou ap taye lenn mouton ou yo. Li voye di ou lè gadò mouton ou yo te avèk nou, nou pa t' janm fè yo anyen. Yo pa janm pèdi anyen pandan tout tan yo te nan zòn Kamèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:8 ============ 1Sa 25:8 Ask thy young men, and they will shew thee. Wherefore let the young men find favour in thine eyes: for we come in a good day: give, I pray thee, whatsoever cometh to thine hand unto thy servants, and to thy son David.(KJV-1611) 1Sa 25:8 Ou mèt mande yo, y'a di ou. David voye mande ou pou resevwa mesye pa l' yo byen, paske se yon jou fèt nou rive isit la. Tanpri, mèt! Bay sa ou genyen pou nou k'ap sèvi ou, ak pou David, zanmi ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:9 ============ 1Sa 25:9 And when David's young men came, they spake to Nabal according to all those words in the name of David, and ceased.(KJV-1611) 1Sa 25:9 Mesye David yo rive vre, yo bay Nabal komisyon an nan non David. Epi yo rete tann.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:10 ============ 1Sa 25:10 And Nabal answered David's servants, and said, Who is David? and who is the son of Jesse? there be many servants now a days that break away every man from his master.(KJV-1611) 1Sa 25:10 Apre yon ti tan, Nabal reponn yo: -David? Pitit gason Izayi a? Mwen pa konnen l' non. Atò, koulye peyi a plen yon bann domestik ki sove kite lakay mèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:11 ============ 1Sa 25:11 Shall I then take my bread, and my water, and my flesh that I have killed for my shearers, and give it unto men, whom I know not whence they be?(KJV-1611) 1Sa 25:11 Anhan! Pou m' pran pen ak dlo lakay mwen ak vyann bèt nou fè touye pou gadò mouton m' yo, pou m' bay yon bann moun mwen pa konnen kote yo soti?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:12 ============ 1Sa 25:12 So David's young men turned their way, and went again, and came and told him all those sayings.(KJV-1611) 1Sa 25:12 Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:13 ============ 1Sa 25:13 And David said unto his men, Gird ye on every man his sword. And they girded on every man his sword; and David also girded on his sword: and there went up after David about four hundred men; and two hundred abode by the stuff.(KJV-1611) 1Sa 25:13 David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan rete dèyè ak pwovizyon yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:14 ============ 1Sa 25:14 But one of the young men told Abigail, Nabal's wife, saying, Behold, David sent messengers out of the wilderness to salute our master; and he railed on them.(KJV-1611) 1Sa 25:14 Yonn nan domestik Nabal yo al avèti Abigayèl, madanm Nabal, li di l': -David te voye kèk mesaje soti nan dezè a avèk bèl bonjou pou mèt nou an. Men li menm, li pale mal ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:15 ============ 1Sa 25:15 But the men were very good unto us, and we were not hurt, neither missed we any thing, as long as we were conversant with them, when we were in the fields:(KJV-1611) 1Sa 25:15 Men, mesye sa yo te bon pou nou: Yo pa t' janm chache nou kont. Nou pa t' janm pèdi anyen pandan tout tan nou te la ansanm ak yo nan savann lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:16 ============ 1Sa 25:16 They were a wall unto us both by night and day, all the while we were with them keeping the sheep.(KJV-1611) 1Sa 25:16 Yo te pwoteje nou lajounen kou lannwit pandan tout tan nou te la nan mitan yo ap pran swen bann mouton nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:17 ============ 1Sa 25:17 Now therefore know and consider what thou wilt do; for evil is determined against our master, and against all his household: for he is such a son of Belial, that a man cannot speak to him.(KJV-1611) 1Sa 25:17 Koulye a, kalkile byen sa ou wè ou ka fè, paske bagay la ka vire mal ni pou mèt nou ni pou tout fanmi l'. Mari ou sitèlman gen move jan, moun pa ka pale ak li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:18 ============ 1Sa 25:18 Then Abigail made haste, and took two hundred loaves, and two bottles of wine, and five sheep ready dressed, and five measures of parched corn, and an hundred clusters of raisins, and two hundred cakes of figs, and laid them on asses.(KJV-1611) 1Sa 25:18 Abigayèl prese pran desan gato fèt ak figfrans chèch, li chaje tou sa sou bourik.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:19 ============ 1Sa 25:19 And she said unto her servants, Go on before me; behold, I come after you. But she told not her husband Nabal.(KJV-1611) 1Sa 25:19 Lèfini, li di domestik li yo: -Nou mèt pran devan, mwen menm mwen dèyè. Men li pa di Nabal, mari l' anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:20 ============ 1Sa 25:20 And it was so, as she rode on the ass, that she came down by the covert on the hill, and, behold, David and his men came down against her; and she met them.(KJV-1611) 1Sa 25:20 Abigayèl te moute sou yon bourik. Li t'ap desann yon ti mòn lè li rive nan yon koub, li tonbe bab pou bab ak David ki t'ap mache sou li ansanm ak mesye l' yo. Yo kontre.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:21 ============ 1Sa 25:21 Now David had said, Surely in vain have I kept all that this fellow hath in the wilderness, so that nothing was missed of all that pertained unto him: and he hath requited me evil for good.(KJV-1611) 1Sa 25:21 David t'ap di nan kè li: -Sa m' te bezwen pwoteje tou sa nonm sa a te genyen nan dezè a fè? Li pa janm pèdi anyen nan sa ki te pou li. Epi se konsa l'ap peye m' pou tout byen mwen fè pou li yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:22 ============ 1Sa 25:22 So and more also do God unto the enemies of David, if I leave of all that pertain to him by the morning light any that pisseth against the wall.(KJV-1611) 1Sa 25:22 Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:23 ============ 1Sa 25:23 And when Abigail saw David, she hasted, and lighted off the ass, and fell before David on her face, and bowed herself to the ground,(KJV-1611) 1Sa 25:23 Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l' ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:24 ============ 1Sa 25:24 And fell at his feet, and said, Upon me, my lord, upon me let this iniquity be: and let thine handmaid, I pray thee, speak in thine audience, and hear the words of thine handmaid.(KJV-1611) 1Sa 25:24 Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:25 ============ 1Sa 25:25 Let not my lord, I pray thee, regard this man of Belial, even Nabal: for as his name is, so is he; Nabal is his name, and folly is with him: but I thine handmaid saw not the young men of my lord, whom thou didst send.(KJV-1611) 1Sa 25:25 Tanpri, pa okipe nonm yo rele Nabal la. Se yon vòryen. Se pa pou gremesi yo rele l' Nabal ki vle di moun fou. Mwen menm, mèt, mwen pa t' wè mesye ou te voye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:26 ============ 1Sa 25:26 Now therefore, my lord, as the LORD liveth, and as thy soul liveth, seeing the LORD hath withholden thee from coming to shed blood, and from avenging thyself with thine own hand, now let thine enemies, and they that seek evil to my lord, be as Nabal.(KJV-1611) 1Sa 25:26 Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:27 ============ 1Sa 25:27 And now this blessing which thine handmaid hath brought unto my lord, let it even be given unto the young men that follow my lord.(KJV-1611) 1Sa 25:27 Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:28 ============ 1Sa 25:28 I pray thee, forgive the trespass of thine handmaid: for the LORD will certainly make my lord a sure house; because my lord fighteth the battles of the LORD, and evil hath not been found in thee all thy days.(KJV-1611) 1Sa 25:28 Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:29 ============ 1Sa 25:29 Yet a man is risen to pursue thee, and to seek thy soul: but the soul of my lord shall be bound in the bundle of life with the LORD thy God; and the souls of thine enemies, them shall he sling out, as out of the middle of a sling.(KJV-1611) 1Sa 25:29 Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Seyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l' tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:30 ============ 1Sa 25:30 And it shall come to pass, when the LORD shall have done to my lord according to all the good that he hath spoken concerning thee, and shall have appointed thee ruler over Israel;(KJV-1611) 1Sa 25:30 Konsa, lè Seyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:31 ============ 1Sa 25:31 That this shall be no grief unto thee, nor offence of heart unto my lord, either that thou hast shed blood causeless, or that my lord hath avenged himself: but when the LORD shall have dealt well with my lord, then remember thine handmaid.(KJV-1611) 1Sa 25:31 wi, lè sa a, mèt mwen, ou p'ap bezwen nan règrèt, ni konsyans ou p'ap boulvèse deske ou te mete san moun deyò san rezon osinon deske ou te pran revanj ou sou moun. Lè Seyè a va beni ou, tanpri pa bliye m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:32 ============ 1Sa 25:32 And David said to Abigail, Blessed be the LORD God of Israel, which sent thee this day to meet me:(KJV-1611) 1Sa 25:32 David di Abigayèl konsa: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki voye ou jòdi a vin kontre avè m'!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:33 ============ 1Sa 25:33 And blessed be thy advice, and blessed be thou, which hast kept me this day from coming to shed blood, and from avenging myself with mine own hand.(KJV-1611) 1Sa 25:33 Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:34 ============ 1Sa 25:34 For in very deed, as the LORD God of Israel liveth, which hath kept me back from hurting thee, except thou hadst hasted and come to meet me, surely there had not been left unto Nabal by the morning light any that pisseth against the wall.(KJV-1611) 1Sa 25:34 Seyè a pa kite m' fè ou anyen. Men tou, si ou pa t' prese vin kontre avè m', mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, anvan denmen maten tout gason fanmi Nabal yo, ata ti gason piti yo, t'ap pèdi lavi yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:35 ============ 1Sa 25:35 So David received of her hand that which she had brought him, and said unto her, Go up in peace to thine house; see, I have hearkened to thy voice, and have accepted thy person.(KJV-1611) 1Sa 25:35 Abigayèl renmèt David tou sa li te pote, epi David di l': -Tounen lakay ou ak kè poze! Mwen koute tou sa ou di m' la a. Ou pa bezwen bat kò ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:36 ============ 1Sa 25:36 And Abigail came to Nabal; and, behold, he held a feast in his house, like the feast of a king; and Nabal's heart was merry within him, for he was very drunken: wherefore she told him nothing, less or more, until the morning light.(KJV-1611) 1Sa 25:36 Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:37 ============ 1Sa 25:37 But it came to pass in the morning, when the wine was gone out of Nabal, and his wife had told him these things, that his heart died within him, and he became as a stone.(KJV-1611) 1Sa 25:37 Nan maten, lè Nabal fin desoule, madanm li rakonte l' tout bagay. Msye fè yon kriz kè, li vin paralize nan tout kò l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:38 ============ 1Sa 25:38 And it came to pass about ten days after, that the LORD smote Nabal, that he died.(KJV-1611) 1Sa 25:38 Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:39 ============ 1Sa 25:39 And when David heard that Nabal was dead, he said, Blessed be the LORD, that hath pleaded the cause of my reproach from the hand of Nabal, and hath kept his servant from evil: for the LORD hath returned the wickedness of Nabal upon his own head. And David sent and communed with Abigail, to take her to him to wife.(KJV-1611) 1Sa 25:39 Lè David vin konnen Nabal mouri, li di: -Lwanj pou Seyè a! Li fè Nabal peye wont li te fè m' lan, li kenbe men m' pou m' pa fè sa ki mal. Seyè a fè mechanste Nabal la tonbe sou pwòp tèt li. Apre sa a David voye di Abigayèl li ta renmen l' pou madanm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:40 ============ 1Sa 25:40 And when the servants of David were come to Abigail to Carmel, they spake unto her, saying, David sent us unto thee, to take thee to him to wife.(KJV-1611) 1Sa 25:40 Moun David yo al jwenn Abigayèl lavil Kamèl. Yo pale avè l', yo di l' konsa: -David voye nou bò kote ou pou nou mennen ou ba li pou l' sa marye avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:41 ============ 1Sa 25:41 And she arose, and bowed herself on her face to the earth, and said, Behold, let thine handmaid be a servant to wash the feet of the servants of my lord.(KJV-1611) 1Sa 25:41 Abigayèl leve, li lage kò l' ajenou, li bese tèt li atè epi li di: -Se domestik li mwen ye, mwen tou pare pou m' lave pye moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:42 ============ 1Sa 25:42 And Abigail hasted, and arose and rode upon an ass, with five damsels of hers that went after her; and she went after the messengers of David, and became his wife.(KJV-1611) 1Sa 25:42 Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l' lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:43 ============ 1Sa 25:43 David also took Ahinoam of Jezreel; and they were also both of them his wives.(KJV-1611) 1Sa 25:43 David te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl koulye a, sa te fè l' de madanm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 25:44 ============ 1Sa 25:44 But Saul had given Michal his daughter, David's wife, to Phalti the son of Laish, which was of Gallim.(KJV-1611) 1Sa 25:44 Sayil menm bò pa l' te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l' ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:1 ============ 1Sa 26:1 And the Ziphites came unto Saul to Gibeah, saying, Doth not David hide himself in the hill of Hachilah, which is before Jeshimon?(KJV-1611) 1Sa 26:1 Moun ki rete nan dezè Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mòn Akila a, sou limit dezè peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:2 ============ 1Sa 26:2 Then Saul arose, and went down to the wilderness of Ziph, having three thousand chosen men of Israel with him, to seek David in the wilderness of Ziph.(KJV-1611) 1Sa 26:2 Sayil pati lamenm avèk twamil sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:3 ============ 1Sa 26:3 And Saul pitched in the hill of Hachilah, which is before Jeshimon, by the way. But David abode in the wilderness, and he saw that Saul came after him into the wilderness.(KJV-1611) 1Sa 26:3 Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:4 ============ 1Sa 26:4 David therefore sent out spies, and understood that Saul was come in very deed.(KJV-1611) 1Sa 26:4 li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:5 ============ 1Sa 26:5 And David arose, and came to the place where Saul had pitched: and David beheld the place where Saul lay, and Abner the son of Ner, the captain of his host: and Saul lay in the trench, and the people pitched round about him.(KJV-1611) 1Sa 26:5 David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:6 ============ 1Sa 26:6 Then answered David and said to Ahimelech the Hittite, and to Abishai the son of Zeruiah, brother to Joab, saying, Who will go down with me to Saul to the camp? And Abishai said, I will go down with thee.(KJV-1611) 1Sa 26:6 David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:7 ============ 1Sa 26:7 So David and Abishai came to the people by night: and, behold, Saul lay sleeping within the trench, and his spear stuck in the ground at his bolster: but Abner and the people lay round about him.(KJV-1611) 1Sa 26:7 Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:8 ============ 1Sa 26:8 Then said Abishai to David, God hath delivered thine enemy into thine hand this day: now therefore let me smite him, I pray thee, with the spear even to the earth at once, and I will not smite him the second time.(KJV-1611) 1Sa 26:8 Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:9 ============ 1Sa 26:9 And David said to Abishai, Destroy him not: for who can stretch forth his hand against the LORD's anointed, and be guiltless?(KJV-1611) 1Sa 26:9 Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:10 ============ 1Sa 26:10 David said furthermore, As the LORD liveth, the LORD shall smite him; or his day shall come to die; or he shall descend into battle, and perish.(KJV-1611) 1Sa 26:10 Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:11 ============ 1Sa 26:11 The LORD forbid that I should stretch forth mine hand against the LORD's anointed: but, I pray thee, take thou now the spear that is at his bolster, and the cruse of water, and let us go.(KJV-1611) 1Sa 26:11 Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:12 ============ 1Sa 26:12 So David took the spear and the cruse of water from Saul's bolster; and they gat them away, and no man saw it, nor knew it, neither awaked: for they were all asleep; because a deep sleep from the LORD was fallen upon them.(KJV-1611) 1Sa 26:12 David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:13 ============ 1Sa 26:13 Then David went over to the other side, and stood on the top of an hill afar off; a great space being between them:(KJV-1611) 1Sa 26:13 Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:14 ============ 1Sa 26:14 And David cried to the people, and to Abner the son of Ner, saying, Answerest thou not, Abner? Then Abner answered and said, Who art thou that criest to the king?(KJV-1611) 1Sa 26:14 Li pran rele sòlda yo ak Abnè, pitit gason Nè a, li di yo konsa: -Abnè o! Eske ou tande mwen? Abnè reponn: -Kilès k'ap rele nan zòrèy wa a konsa?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:15 ============ 1Sa 26:15 And David said to Abner, Art not thou a valiant man? and who is like to thee in Israel? wherefore then hast thou not kept thy lord the king? for there came one of the people in to destroy the king thy lord.(KJV-1611) 1Sa 26:15 David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avè ou nan peyi Izrayèl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mèt ou, pi byen? Talè a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:16 ============ 1Sa 26:16 This thing is not good that thou hast done. As the LORD liveth, ye are worthy to die, because ye have not kept your master, the LORD's anointed. And now see where the king's spear is, and the cruse of water that was at his bolster.(KJV-1611) 1Sa 26:16 Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:17 ============ 1Sa 26:17 And Saul knew David's voice, and said, Is this thy voice, my son David? And David said, It is my voice, my lord, O king.(KJV-1611) 1Sa 26:17 Sayil rekonèt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:18 ============ 1Sa 26:18 And he said, Wherefore doth my lord thus pursue after his servant? for what have I done? or what evil is in mine hand?(KJV-1611) 1Sa 26:18 Apre sa, li di ankò: -Chèmèt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sèvi ou la? Kisa m' fè? Ki krim mwen fè?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:19 ============ 1Sa 26:19 Now therefore, I pray thee, let my lord the king hear the words of his servant. If the LORD have stirred thee up against me, let him accept an offering: but if they be the children of men, cursed be they before the LORD; for they have driven me out this day from abiding in the inheritance of the LORD, saying, Go, serve other gods.(KJV-1611) 1Sa 26:19 Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:20 ============ 1Sa 26:20 Now therefore, let not my blood fall to the earth before the face of the LORD: for the king of Israel is come out to seek a flea, as when one doth hunt a partridge in the mountains.(KJV-1611) 1Sa 26:20 Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:21 ============ 1Sa 26:21 Then said Saul, I have sinned: return, my son David: for I will no more do thee harm, because my soul was precious in thine eyes this day: behold, I have played the fool, and have erred exceedingly.(KJV-1611) 1Sa 26:21 Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:22 ============ 1Sa 26:22 And David answered and said, Behold the king's spear! and let one of the young men come over and fetch it.(KJV-1611) 1Sa 26:22 David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fè yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:23 ============ 1Sa 26:23 The LORD render to every man his righteousness and his faithfulness; for the LORD delivered thee into my hand to day, but I would not stretch forth mine hand against the LORD's anointed.(KJV-1611) 1Sa 26:23 Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:24 ============ 1Sa 26:24 And, behold, as thy life was much set by this day in mine eyes, so let my life be much set by in the eyes of the LORD, and let him deliver me out of all tribulation.(KJV-1611) 1Sa 26:24 Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 26:25 ============ 1Sa 26:25 Then Saul said to David, Blessed be thou, my son David: thou shalt both do great things, and also shalt still prevail. So David went on his way, and Saul returned to his place.(KJV-1611) 1Sa 26:25 Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fè mache byen! Apre sa, David al fè wout li, Sayil menm tounen lakay li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:1 ============ 1Sa 27:1 And David said in his heart, I shall now perish one day by the hand of Saul: there is nothing better for me than that I should speedily escape into the land of the Philistines; and Saul shall despair of me, to seek me any more in any coast of Israel: so shall I escape out of his hand.(KJV-1611) 1Sa 27:1 David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:2 ============ 1Sa 27:2 And David arose, and he passed over with the six hundred men that were with him unto Achish, the son of Maoch, king of Gath.(KJV-1611) 1Sa 27:2 David leve ansanm ak sisan moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:3 ============ 1Sa 27:3 And David dwelt with Achish at Gath, he and his men, every man with his household, even David with his two wives, Ahinoam the Jezreelitess, and Abigail the Carmelitess, Nabal's wife.(KJV-1611) 1Sa 27:3 David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:4 ============ 1Sa 27:4 And it was told Saul that David was fled to Gath: and he sought no more again for him.(KJV-1611) 1Sa 27:4 Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:5 ============ 1Sa 27:5 And David said unto Achish, If I have now found grace in thine eyes, let them give me a place in some town in the country, that I may dwell there: for why should thy servant dwell in the royal city with thee?(KJV-1611) 1Sa 27:5 David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:6 ============ 1Sa 27:6 Then Achish gave him Ziklag that day: wherefore Ziklag pertaineth unto the kings of Judah unto this day.(KJV-1611) 1Sa 27:6 Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:7 ============ 1Sa 27:7 And the time that David dwelt in the country of the Philistines was a full year and four months.(KJV-1611) 1Sa 27:7 David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:8 ============ 1Sa 27:8 And David and his men went up, and invaded the Geshurites, and the Gezrites, and the Amalekites: for those nations were of old the inhabitants of the land, as thou goest to Shur, even unto the land of Egypt.(KJV-1611) 1Sa 27:8 Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:9 ============ 1Sa 27:9 And David smote the land, and left neither man nor woman alive, and took away the sheep, and the oxen, and the asses, and the camels, and the apparel, and returned, and came to Achish.(KJV-1611) 1Sa 27:9 Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:10 ============ 1Sa 27:10 And Achish said, Whither have ye made a road to day? And David said, Against the south of Judah, and against the south of the Jerahmeelites, and against the south of the Kenites.(KJV-1611) 1Sa 27:10 Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:11 ============ 1Sa 27:11 And David saved neither man nor woman alive, to bring tidings to Gath, saying, Lest they should tell on us, saying, So did David, and so will be his manner all the while he dwelleth in the country of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 27:11 Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 27:12 ============ 1Sa 27:12 And Achish believed David, saying, He hath made his people Israel utterly to abhor him; therefore he shall be my servant for ever.(KJV-1611) 1Sa 27:12 Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:1 ============ 1Sa 28:1 And it came to pass in those days, that the Philistines gathered their armies together for warfare, to fight with Israel. And Achish said unto David, Know thou assuredly, that thou shalt go out with me to battle, thou and thy men.(KJV-1611) 1Sa 28:1 Kèk tan apre sa, moun Filisti yo sanble tout sòlda yo pou y' al goumen ak pèp Izrayèl la. Lè sa a, Akich di David: -Ou tou konnen se pou ou pati ansanm avè m' ak mesye ou yo pou n' al goumen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:2 ============ 1Sa 28:2 And David said to Achish, Surely thou shalt know what thy servant can do. And Achish said to David, Therefore will I make thee keeper of mine head for ever.(KJV-1611) 1Sa 28:2 David reponn li: -Se moun ou mwen ye. Ou pral wè sa m' ka fè. Akich di li: -Bon! Apre sa, m'ap fè ou gad kò mwen pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:3 ============ 1Sa 28:3 Now Samuel was dead, and all Israel had lamented him, and buried him in Ramah, even in his own city. And Saul had put away those that had familiar spirits, and the wizards, out of the land.(KJV-1611) 1Sa 28:3 Samyèl te deja mouri lè sa a, tout pèp Izrayèl la te kriye kont kriye yo pou li. Apre sa, yo antere l' lavil Rama kote li te moun. Sayil te mete tout divinò deyò nan peyi a ansanm ak tout moun ki konn rele mò pou pale ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:4 ============ 1Sa 28:4 And the Philistines gathered themselves together, and came and pitched in Shunem: and Saul gathered all Israel together, and they pitched in Gilboa.(KJV-1611) 1Sa 28:4 Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:5 ============ 1Sa 28:5 And when Saul saw the host of the Philistines, he was afraid, and his heart greatly trembled.(KJV-1611) 1Sa 28:5 Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li soti pè, kè l' pran bat byen fò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:6 ============ 1Sa 28:6 And when Saul enquired of the LORD, the LORD answered him not, neither by dreams, nor by Urim, nor by prophets.(KJV-1611) 1Sa 28:6 Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:7 ============ 1Sa 28:7 Then said Saul unto his servants, Seek me a woman that hath a familiar spirit, that I may go to her, and enquire of her. And his servants said to him, Behold, there is a woman that hath a familiar spirit at Endor.(KJV-1611) 1Sa 28:7 Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:8 ============ 1Sa 28:8 And Saul disguised himself, and put on other raiment, and he went, and two men with him, and they came to the woman by night: and he said, I pray thee, divine unto me by the familiar spirit, and bring me him up, whom I shall name unto thee.(KJV-1611) 1Sa 28:8 Sayil mete lòt kalite rad sou li, li maske. Li leve, li pati ak de moun pa l'. Yo rive kay fanm lan nan mitan lannwit. Sayil di fanm lan: -M' pral ba ou non yon mò pou ou rele pou mwen. Rele li pou mwen tanpri, pou m' konnen sa ki pral rive m'.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:9 ============ 1Sa 28:9 And the woman said unto him, Behold, thou knowest what Saul hath done, how he hath cut off those that have familiar spirits, and the wizards, out of the land: wherefore then layest thou a snare for my life, to cause me to die?(KJV-1611) 1Sa 28:9 Men, fanm lan di l': -Ou konnen sa wa Sayil te fè a pa vre? Li te mete tout divinò ak tout moun k'ap pale ak mò deyò nan peyi a wi. Poukisa atò w'ap seye pran m' nan plan pou fè yo touye m'?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:10 ============ 1Sa 28:10 And Saul sware to her by the LORD, saying, As the LORD liveth, there shall no punishment happen to thee for this thing.(KJV-1611) 1Sa 28:10 Sayil pran non Bondye fè sèman, li di: -Devan Seyè ki vivan an, mwen fè sèman yo p'ap fè ou anyen pou zafè sa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:11 ============ 1Sa 28:11 Then said the woman, Whom shall I bring up unto thee? And he said, Bring me up Samuel.(KJV-1611) 1Sa 28:11 Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:12 ============ 1Sa 28:12 And when the woman saw Samuel, she cried with a loud voice: and the woman spake to Saul, saying, Why hast thou deceived me? for thou art Saul.(KJV-1611) 1Sa 28:12 Lè madanm lan wè Samyèl, li pete rele, li di Sayil: -Poukisa ou twonpe m' konsa? Ou se wa Sayil!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:13 ============ 1Sa 28:13 And the king said unto her, Be not afraid: for what sawest thou? And the woman said unto Saul, I saw gods ascending out of the earth.(KJV-1611) 1Sa 28:13 Wa a di l': -Ou pa bezwen pè. Kisa ou wè? Fanm lan di Sayil: -Mwen wè yon lespri k'ap moute soti anba tè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:14 ============ 1Sa 28:14 And he said unto her, What form is he of? And she said, An old man cometh up; and he is covered with a mantle. And Saul perceived that it was Samuel, and he stooped with his face to the ground, and bowed himself.(KJV-1611) 1Sa 28:14 Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:15 ============ 1Sa 28:15 And Samuel said to Saul, Why hast thou disquieted me, to bring me up? And Saul answered, I am sore distressed; for the Philistines make war against me, and God is departed from me, and answereth me no more, neither by prophets, nor by dreams: therefore I have called thee, that thou mayest make known unto me what I shall do.(KJV-1611) 1Sa 28:15 Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:16 ============ 1Sa 28:16 Then said Samuel, Wherefore then dost thou ask of me, seeing the LORD is departed from thee, and is become thine enemy?(KJV-1611) 1Sa 28:16 Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:17 ============ 1Sa 28:17 And the LORD hath done to him, as he spake by me: for the LORD hath rent the kingdom out of thine hand, and given it to thy neighbour, even to David:(KJV-1611) 1Sa 28:17 Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:18 ============ 1Sa 28:18 Because thou obeyedst not the voice of the LORD, nor executedst his fierce wrath upon Amalek, therefore hath the LORD done this thing unto thee this day.(KJV-1611) 1Sa 28:18 Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:19 ============ 1Sa 28:19 Moreover the LORD will also deliver Israel with thee into the hand of the Philistines: and to morrow shalt thou and thy sons be with me: the LORD also shall deliver the host of Israel into the hand of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 28:19 Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:20 ============ 1Sa 28:20 Then Saul fell straightway all along on the earth, and was sore afraid, because of the words of Samuel: and there was no strength in him; for he had eaten no bread all the day, nor all the night.(KJV-1611) 1Sa 28:20 Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:21 ============ 1Sa 28:21 And the woman came unto Saul, and saw that he was sore troubled, and said unto him, Behold, thine handmaid hath obeyed thy voice, and I have put my life in my hand, and have hearkened unto thy words which thou spakest unto me.(KJV-1611) 1Sa 28:21 Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:22 ============ 1Sa 28:22 Now therefore, I pray thee, hearken thou also unto the voice of thine handmaid, and let me set a morsel of bread before thee; and eat, that thou mayest have strength, when thou goest on thy way.(KJV-1611) 1Sa 28:22 Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:23 ============ 1Sa 28:23 But he refused, and said, I will not eat. But his servants, together with the woman, compelled him; and he hearkened unto their voice. So he arose from the earth, and sat upon the bed.(KJV-1611) 1Sa 28:23 Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:24 ============ 1Sa 28:24 And the woman had a fat calf in the house; and she hasted, and killed it, and took flour, and kneaded it, and did bake unleavened bread thereof:(KJV-1611) 1Sa 28:24 Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 28:25 ============ 1Sa 28:25 And she brought it before Saul, and before his servants; and they did eat. Then they rose up, and went away that night.(KJV-1611) 1Sa 28:25 Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:1 ============ 1Sa 29:1 Now the Philistines gathered together all their armies to Aphek: and the Israelites pitched by a fountain which is in Jezreel.(KJV-1611) 1Sa 29:1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:2 ============ 1Sa 29:2 And the lords of the Philistines passed on by hundreds, and by thousands: but David and his men passed on in the rereward with Achish.(KJV-1611) 1Sa 29:2 Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t'ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t'ap mache dèyè nèt avèk mesye l' yo ansanm ak Akich.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:3 ============ 1Sa 29:3 Then said the princes of the Philistines, What do these Hebrews here? And Achish said unto the princes of the Philistines, Is not this David, the servant of Saul the king of Israel, which hath been with me these days, or these years, and I have found no fault in him since he fell unto me unto this day?(KJV-1611) 1Sa 29:3 Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t'ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m'. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m' repwoche l' jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:4 ============ 1Sa 29:4 And the princes of the Philistines were wroth with him; and the princes of the Philistines said unto him, Make this fellow return, that he may go again to his place which thou hast appointed him, and let him not go down with us to battle, lest in the battle he be an adversary to us: for wherewith should he reconcile himself unto his master? should it not be with the heads of these men?(KJV-1611) 1Sa 29:4 Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l' konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l' tounen nan lavil ou te ba li pou l' rete a. Pa kite l' al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l' yon bèl okazyon pou l' touye moun nou yo, epi pou l' byen ankò ak mèt li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:5 ============ 1Sa 29:5 Is not this David, of whom they sang one to another in dances, saying, Saul slew his thousands, and David his ten thousands?(KJV-1611) 1Sa 29:5 Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t'ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:6 ============ 1Sa 29:6 Then Achish called David, and said unto him, Surely, as the LORD liveth, thou hast been upright, and thy going out and thy coming in with me in the host is good in my sight: for I have not found evil in thee since the day of thy coming unto me unto this day: nevertheless the lords favour thee not.(KJV-1611) 1Sa 29:6 Akich rele David, li di l' konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Se ta tout plezi m' pou m' ta toujou wè ou la avè m' nan tout antre soti m' nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:7 ============ 1Sa 29:7 Wherefore now return, and go in peace, that thou displease not the lords of the Philistines.(KJV-1611) 1Sa 29:7 Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande!(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:8 ============ 1Sa 29:8 And David said unto Achish, But what have I done? and what hast thou found in thy servant so long as I have been with thee unto this day, that I may not go fight against the enemies of my lord the king?(KJV-1611) 1Sa 29:8 David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m' fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m' sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo?(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:9 ============ 1Sa 29:9 And Achish answered and said to David, I know that thou art good in my sight, as an angel of God: notwithstanding the princes of the Philistines have said, He shall not go up with us to the battle.(KJV-1611) 1Sa 29:9 Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m' anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m' fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:10 ============ 1Sa 29:10 Wherefore now rise up early in the morning with thy master's servants that are come with thee: and as soon as ye be up early in the morning, and have light, depart.(KJV-1611) 1Sa 29:10 Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n'a pati al fè wout nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 29:11 ============ 1Sa 29:11 So David and his men rose up early to depart in the morning, to return into the land of the Philistines. And the Philistines went up to Jezreel.(KJV-1611) 1Sa 29:11 Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l' yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:1 ============ 1Sa 30:1 And it came to pass, when David and his men were come to Ziklag on the third day, that the Amalekites had invaded the south, and Ziklag, and smitten Ziklag, and burned it with fire;(KJV-1611) 1Sa 30:1 De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalèk yo te gen tan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:2 ============ 1Sa 30:2 And had taken the women captives, that were therein: they slew not any, either great or small, but carried them away, and went on their way.(KJV-1611) 1Sa 30:2 Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:3 ============ 1Sa 30:3 So David and his men came to the city, and, behold, it was burned with fire; and their wives, and their sons, and their daughters, were taken captives.(KJV-1611) 1Sa 30:3 Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:4 ============ 1Sa 30:4 Then David and the people that were with him lifted up their voice and wept, until they had no more power to weep.(KJV-1611) 1Sa 30:4 David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:5 ============ 1Sa 30:5 And David's two wives were taken captives, Ahinoam the Jezreelitess, and Abigail the wife of Nabal the Carmelite.(KJV-1611) 1Sa 30:5 Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:6 ============ 1Sa 30:6 And David was greatly distressed; for the people spake of stoning him, because the soul of all the people was grieved, every man for his sons and for his daughters: but David encouraged himself in the LORD his God.(KJV-1611) 1Sa 30:6 David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:7 ============ 1Sa 30:7 And David said to Abiathar the priest, Ahimelech's son, I pray thee, bring me hither the ephod. And Abiathar brought thither the ephod to David.(KJV-1611) 1Sa 30:7 David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:8 ============ 1Sa 30:8 And David enquired at the LORD, saying, Shall I pursue after this troop? shall I overtake them? And he answered him, Pursue: for thou shalt surely overtake them, and without fail recover all.(KJV-1611) 1Sa 30:8 David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:9 ============ 1Sa 30:9 So David went, he and the six hundred men that were with him, and came to the brook Besor, where those that were left behind stayed.(KJV-1611) 1Sa 30:9 Se konsa David pati avèk sisan mesye ki te avè l' yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:10 ============ 1Sa 30:10 But David pursued, he and four hundred men: for two hundred abode behind, which were so faint that they could not go over the brook Besor.(KJV-1611) 1Sa 30:10 David menm kontinye sou wout li avèk katsan yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:11 ============ 1Sa 30:11 And they found an Egyptian in the field, and brought him to David, and gave him bread, and he did eat; and they made him drink water;(KJV-1611) 1Sa 30:11 Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:12 ============ 1Sa 30:12 And they gave him a piece of a cake of figs, and two clusters of raisins: and when he had eaten, his spirit came again to him: for he had eaten no bread, nor drunk any water, three days and three nights.(KJV-1611) 1Sa 30:12 Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:13 ============ 1Sa 30:13 And David said unto him, To whom belongest thou? and whence art thou? And he said, I am a young man of Egypt, servant to an Amalekite; and my master left me, because three days agone I fell sick.(KJV-1611) 1Sa 30:13 David mande l': -Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m' dèyè, paske mwen te malad.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:14 ============ 1Sa 30:14 We made an invasion upon the south of the Cherethites, and upon the coast which belongeth to Judah, and upon the south of Caleb; and we burned Ziklag with fire.(KJV-1611) 1Sa 30:14 Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:15 ============ 1Sa 30:15 And David said to him, Canst thou bring me down to this company? And he said, Swear unto me by God, that thou wilt neither kill me, nor deliver me into the hands of my master, and I will bring thee down to this company.(KJV-1611) 1Sa 30:15 David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:16 ============ 1Sa 30:16 And when he had brought him down, behold, they were spread abroad upon all the earth, eating and drinking, and dancing, because of all the great spoil that they had taken out of the land of the Philistines, and out of the land of Judah.(KJV-1611) 1Sa 30:16 Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:17 ============ 1Sa 30:17 And David smote them from the twilight even unto the evening of the next day: and there escaped not a man of them, save four hundred young men, which rode upon camels, and fled.(KJV-1611) 1Sa 30:17 Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:18 ============ 1Sa 30:18 And David recovered all that the Amalekites had carried away: and David rescued his two wives.(KJV-1611) 1Sa 30:18 David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:19 ============ 1Sa 30:19 And there was nothing lacking to them, neither small nor great, neither sons nor daughters, neither spoil, nor any thing that they had taken to them: David recovered all.(KJV-1611) 1Sa 30:19 David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:20 ============ 1Sa 30:20 And David took all the flocks and the herds, which they drave before those other cattle, and said, This is David's spoil.(KJV-1611) 1Sa 30:20 Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:21 ============ 1Sa 30:21 And David came to the two hundred men, which were so faint that they could not follow David, whom they had made also to abide at the brook Besor: and they went forth to meet David, and to meet the people that were with him: and when David came near to the people, he saluted them.(KJV-1611) 1Sa 30:21 David t'ap tounen, li rive bò desan mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:22 ============ 1Sa 30:22 Then answered all the wicked men and men of Belial, of those that went with David, and said, Because they went not with us, we will not give them ought of the spoil that we have recovered, save to every man his wife and his children, that they may lead them away, and depart.(KJV-1611) 1Sa 30:22 Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:23 ============ 1Sa 30:23 Then said David, Ye shall not do so, my brethren, with that which the LORD hath given us, who hath preserved us, and delivered the company that came against us into our hand.(KJV-1611) 1Sa 30:23 Men David di yo konsa: -Frè m' yo, nou pa ka fè sa ak sa Seyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:24 ============ 1Sa 30:24 For who will hearken unto you in this matter? but as his part is that goeth down to the battle, so shall his part be that tarrieth by the stuff: they shall part alike.(KJV-1611) 1Sa 30:24 Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:25 ============ 1Sa 30:25 And it was so from that day forward, that he made it a statute and an ordinance for Israel unto this day.(KJV-1611) 1Sa 30:25 Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:26 ============ 1Sa 30:26 And when David came to Ziklag, he sent of the spoil unto the elders of Judah, even to his friends, saying, Behold a present for you of the spoil of the enemies of the LORD;(KJV-1611) 1Sa 30:26 Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:27 ============ 1Sa 30:27 To them which were in Bethel, and to them which were in south Ramoth, and to them which were in Jattir,(KJV-1611) 1Sa 30:27 Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:28 ============ 1Sa 30:28 And to them which were in Aroer, and to them which were in Siphmoth, and to them which were in Eshtemoa,(KJV-1611) 1Sa 30:28 bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:29 ============ 1Sa 30:29 And to them which were in Rachal, and to them which were in the cities of the Jerahmeelites, and to them which were in the cities of the Kenites,(KJV-1611) 1Sa 30:29 bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:30 ============ 1Sa 30:30 And to them which were in Hormah, and to them which were in Chorashan, and to them which were in Athach,(KJV-1611) 1Sa 30:30 bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 30:31 ============ 1Sa 30:31 And to them which were in Hebron, and to all the places where David himself and his men were wont to haunt.(KJV-1611) 1Sa 30:31 bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:1 ============ 1Sa 31:1 Now the Philistines fought against Israel: and the men of Israel fled from before the Philistines, and fell down slain in mount Gilboa.(KJV-1611) 1Sa 31:1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:2 ============ 1Sa 31:2 And the Philistines followed hard upon Saul and upon his sons; and the Philistines slew Jonathan, and Abinadab, and Melchishua, Saul's sons.(KJV-1611) 1Sa 31:2 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:3 ============ 1Sa 31:3 And the battle went sore against Saul, and the archers hit him; and he was sore wounded of the archers.(KJV-1611) 1Sa 31:3 Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:4 ============ 1Sa 31:4 Then said Saul unto his armourbearer, Draw thy sword, and thrust me through therewith; lest these uncircumcised come and thrust me through, and abuse me. But his armourbearer would not; for he was sore afraid. Therefore Saul took a sword, and fell upon it.(KJV-1611) 1Sa 31:4 Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:5 ============ 1Sa 31:5 And when his armourbearer saw that Saul was dead, he fell likewise upon his sword, and died with him.(KJV-1611) 1Sa 31:5 Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:6 ============ 1Sa 31:6 So Saul died, and his three sons, and his armourbearer, and all his men, that same day together.(KJV-1611) 1Sa 31:6 Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:7 ============ 1Sa 31:7 And when the men of Israel that were on the other side of the valley, and they that were on the other side Jordan, saw that the men of Israel fled, and that Saul and his sons were dead, they forsook the cities, and fled; and the Philistines came and dwelt in them.(KJV-1611) 1Sa 31:7 Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:8 ============ 1Sa 31:8 And it came to pass on the morrow, when the Philistines came to strip the slain, that they found Saul and his three sons fallen in mount Gilboa.(KJV-1611) 1Sa 31:8 Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:9 ============ 1Sa 31:9 And they cut off his head, and stripped off his armour, and sent into the land of the Philistines round about, to publish it in the house of their idols, and among the people.(KJV-1611) 1Sa 31:9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:10 ============ 1Sa 31:10 And they put his armour in the house of Ashtaroth: and they fastened his body to the wall of Bethshan.(KJV-1611) 1Sa 31:10 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:11 ============ 1Sa 31:11 And when the inhabitants of Jabeshgilead heard of that which the Philistines had done to Saul;(KJV-1611) 1Sa 31:11 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:12 ============ 1Sa 31:12 All the valiant men arose, and went all night, and took the body of Saul and the bodies of his sons from the wall of Bethshan, and came to Jabesh, and burnt them there.(KJV-1611) 1Sa 31:12 tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo.(Creole-HT) ======= 1 Samuel 31:13 ============ 1Sa 31:13 And they took their bones, and buried them under a tree at Jabesh, and fasted seven days.(KJV-1611) 1Sa 31:13 Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:1 ============ 2Sa 1:1 Now it came to pass after the death of Saul, when David was returned from the slaughter of the Amalekites, and David had abode two days in Ziklag;(KJV-1611) 2Sa 1:1 Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:2 ============ 2Sa 1:2 It came even to pass on the third day, that, behold, a man came out of the camp from Saul with his clothes rent, and earth upon his head: and so it was, when he came to David, that he fell to the earth, and did obeisance.(KJV-1611) 2Sa 1:2 Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l' atè, li bese tèt li byen ba devan li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:3 ============ 2Sa 1:3 And David said unto him, From whence comest thou? And he said unto him, Out of the camp of Israel am I escaped.(KJV-1611) 2Sa 1:3 David mande l': -Kote ou soti? Nonm lan reponn: -Mwen chape kò m' soti nan kan moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:4 ============ 2Sa 1:4 And David said unto him, How went the matter? I pray thee, tell me. And he answered, That the people are fled from the battle, and many of the people also are fallen and dead; and Saul and Jonathan his son are dead also.(KJV-1611) 2Sa 1:4 David di li: -Manyè di m' sa ki pase. Nonm lan reponn: -Lame pèp Izrayèl la kouri pandan batay la te mare. Gen anpil sòlda ki mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, mouri tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:5 ============ 2Sa 1:5 And David said unto the young man that told him, How knowest thou that Saul and Jonathan his son be dead?(KJV-1611) 2Sa 1:5 David mande nonm ki te pote nouvèl la: -Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:6 ============ 2Sa 1:6 And the young man that told him said, As I happened by chance upon mount Gilboa, behold, Saul leaned upon his spear; and, lo, the chariots and horsemen followed hard after him.(KJV-1611) 2Sa 1:6 Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:7 ============ 2Sa 1:7 And when he looked behind him, he saw me, and called unto me. And I answered, Here am I.(KJV-1611) 2Sa 1:7 Lè sa a, li voye je l' gade, li wè m', epi li rele m' vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:8 ============ 2Sa 1:8 And he said unto me, Who art thou? And I answered him, I am an Amalekite.(KJV-1611) 2Sa 1:8 Li mande m' ki moun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:9 ============ 2Sa 1:9 He said unto me again, Stand, I pray thee, upon me, and slay me: for anguish is come upon me, because my life is yet whole in me.(KJV-1611) 2Sa 1:9 Lè sa a, li mande m' pou m' pwoche bò kote l' pou m' touye l', paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:10 ============ 2Sa 1:10 So I stood upon him, and slew him, because I was sure that he could not live after that he was fallen: and I took the crown that was upon his head, and the bracelet that was on his arm, and have brought them hither unto my lord.(KJV-1611) 2Sa 1:10 Se konsa, mwen pwoche bò kote l', mwen touye l' paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak braslè ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:11 ============ 2Sa 1:11 Then David took hold on his clothes, and rent them; and likewise all the men that were with him:(KJV-1611) 2Sa 1:11 David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l' yo fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:12 ============ 2Sa 1:12 And they mourned, and wept, and fasted until even, for Saul, and for Jonathan his son, and for the people of the LORD, and for the house of Israel; because they were fallen by the sword.(KJV-1611) 2Sa 1:12 Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Seyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:13 ============ 2Sa 1:13 And David said unto the young man that told him, Whence art thou? And he answered, I am the son of a stranger, an Amalekite.(KJV-1611) 2Sa 1:13 Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la: -Ki moun ou ye? Jenn gason an reponn: -Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:14 ============ 2Sa 1:14 And David said unto him, How wast thou not afraid to stretch forth thine hand to destroy the LORD's anointed?(KJV-1611) 2Sa 1:14 David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:15 ============ 2Sa 1:15 And David called one of the young men, and said, Go near, and fall upon him. And he smote him that he died.(KJV-1611) 2Sa 1:15 David rele yonn nan moun li yo. Li di l' konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l' frèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:16 ============ 2Sa 1:16 And David said unto him, Thy blood be upon thy head; for thy mouth hath testified against thee, saying, I have slain the LORD's anointed.(KJV-1611) 2Sa 1:16 David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:17 ============ 2Sa 1:17 And David lamented with this lamentation over Saul and over Jonathan his son:(KJV-1611) 2Sa 1:17 David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:18 ============ 2Sa 1:18 (Also he bade them teach the children of Judah the use of the bow: behold, it is written in the book of Jasher.)(KJV-1611) 2Sa 1:18 Li bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:19 ============ 2Sa 1:19 The beauty of Israel is slain upon thy high places: how are the mighty fallen!(KJV-1611) 2Sa 1:19 O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo. Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:20 ============ 2Sa 1:20 Tell it not in Gath, publish it not in the streets of Askelon; lest the daughters of the Philistines rejoice, lest the daughters of the uncircumcised triumph.(KJV-1611) 2Sa 1:20 Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:21 ============ 2Sa 1:21 Ye mountains of Gilboa, let there be no dew, neither let there be rain, upon you, nor fields of offerings: for there the shield of the mighty is vilely cast away, the shield of Saul, as though he had not been anointed with oil.(KJV-1611) 2Sa 1:21 Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:22 ============ 2Sa 1:22 From the blood of the slain, from the fat of the mighty, the bow of Jonathan turned not back, and the sword of Saul returned not empty.(KJV-1611) 2Sa 1:22 Jonatan pa t' janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l' yo. Sayil pa t' janm tounen toutotan li pa t' plonje nepe l' nan vant vanyan sòlda lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:23 ============ 2Sa 1:23 Saul and Jonathan were lovely and pleasant in their lives, and in their death they were not divided: they were swifter than eagles, they were stronger than lions.(KJV-1611) 2Sa 1:23 Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:24 ============ 2Sa 1:24 Ye daughters of Israel, weep over Saul, who clothed you in scarlet, with other delights, who put on ornaments of gold upon your apparel.(KJV-1611) 2Sa 1:24 Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:25 ============ 2Sa 1:25 How are the mighty fallen in the midst of the battle! O Jonathan, thou wast slain in thine high places.(KJV-1611) 2Sa 1:25 Vanyan sòlda yo mouri nan lagè! Jonatan mouri, li blayi atè plat sou ti mòn yo!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:26 ============ 2Sa 1:26 I am distressed for thee, my brother Jonathan: very pleasant hast thou been unto me: thy love to me was wonderful, passing the love of women.(KJV-1611) 2Sa 1:26 Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m', se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen ankenn fanm ta ka gen pou mwen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 1:27 ============ 2Sa 1:27 How are the mighty fallen, and the weapons of war perished!(KJV-1611) 2Sa 1:27 Vanyan sòlda yo mouri! Tout zam lagè yo pa vo anyen koulye a!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:1 ============ 2Sa 2:1 And it came to pass after this, that David enquired of the LORD, saying, Shall I go up into any of the cities of Judah? And the LORD said unto him, Go up. And David said, Whither shall I go up? And he said, Unto Hebron.(KJV-1611) 2Sa 2:1 Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:2 ============ 2Sa 2:2 So David went up thither, and his two wives also, Ahinoam the Jezreelitess, and Abigail Nabal's wife the Carmelite.(KJV-1611) 2Sa 2:2 Se konsa, David pran de madanm li yo, Akenoam ki te moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal la, ki te moun lavil Kamèl, li pati pou Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:3 ============ 2Sa 2:3 And his men that were with him did David bring up, every man with his household: and they dwelt in the cities of Hebron.(KJV-1611) 2Sa 2:3 Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:4 ============ 2Sa 2:4 And the men of Judah came, and there they anointed David king over the house of Judah. And they told David, saying, That the men of Jabeshgilead were they that buried Saul.(KJV-1611) 2Sa 2:4 Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:5 ============ 2Sa 2:5 And David sent messengers unto the men of Jabeshgilead, and said unto them, Blessed be ye of the LORD, that ye have shewed this kindness unto your lord, even unto Saul, and have buried him.(KJV-1611) 2Sa 2:5 Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: -Se pou Seyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:6 ============ 2Sa 2:6 And now the LORD shew kindness and truth unto you: and I also will requite you this kindness, because ye have done this thing.(KJV-1611) 2Sa 2:6 Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:7 ============ 2Sa 2:7 Therefore now let your hands be strengthened, and be ye valiant: for your master Saul is dead, and also the house of Judah have anointed me king over them.(KJV-1611) 2Sa 2:7 Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:8 ============ 2Sa 2:8 But Abner the son of Ner, captain of Saul's host, took Ishbosheth the son of Saul, and brought him over to Mahanaim;(KJV-1611) 2Sa 2:8 Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:9 ============ 2Sa 2:9 And made him king over Gilead, and over the Ashurites, and over Jezreel, and over Ephraim, and over Benjamin, and over all Israel.(KJV-1611) 2Sa 2:9 Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:10 ============ 2Sa 2:10 Ishbosheth Saul's son was forty years old when he began to reign over Israel, and reigned two years. But the house of Judah followed David.(KJV-1611) 2Sa 2:10 Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l' wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:11 ============ 2Sa 2:11 And the time that David was king in Hebron over the house of Judah was seven years and six months.(KJV-1611) 2Sa 2:11 David te wa peyi Jida a pandan sètan sis mwa. Se Ebwon li te rete.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:12 ============ 2Sa 2:12 And Abner the son of Ner, and the servants of Ishbosheth the son of Saul, went out from Mahanaim to Gibeon.(KJV-1611) 2Sa 2:12 Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y' ale lavil Gabawon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:13 ============ 2Sa 2:13 And Joab the son of Zeruiah, and the servants of David, went out, and met together by the pool of Gibeon: and they sat down, the one on the one side of the pool, and the other on the other side of the pool.(KJV-1611) 2Sa 2:13 Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:14 ============ 2Sa 2:14 And Abner said to Joab, Let the young men now arise, and play before us. And Joab said, Let them arise.(KJV-1611) 2Sa 2:14 Abnè di Joab konsa: -Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a. Joab reponn: -Dakò!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:15 ============ 2Sa 2:15 Then there arose and went over by number twelve of Benjamin, which pertained to Ishbosheth the son of Saul, and twelve of the servants of David.(KJV-1611) 2Sa 2:15 Se konsa, douz gason nan branch fanmi Benjamen an kanpe pou Ichbochèt yon bò, douz gason kanpe pou moun David yo lòt bò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:16 ============ 2Sa 2:16 And they caught every one his fellow by the head, and thrust his sword in his fellow's side; so they fell down together: wherefore that place was called Helkathhazzurim, which is in Gibeon.(KJV-1611) 2Sa 2:16 Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe yo nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe ansanm, yo mouri. Se poutèt sa, yo rele kote sa a nan peyi Gabawon an Elkatazourim.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:17 ============ 2Sa 2:17 And there was a very sore battle that day; and Abner was beaten, and the men of Israel, before the servants of David.(KJV-1611) 2Sa 2:17 Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:18 ============ 2Sa 2:18 And there were three sons of Zeruiah there, Joab, and Abishai, and Asahel: and Asahel was as light of foot as a wild roe.(KJV-1611) 2Sa 2:18 Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:19 ============ 2Sa 2:19 And Asahel pursued after Abner; and in going he turned not to the right hand nor to the left from following Abner.(KJV-1611) 2Sa 2:19 Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:20 ============ 2Sa 2:20 Then Abner looked behind him, and said, Art thou Asahel? And he answered, I am.(KJV-1611) 2Sa 2:20 Abnè vire tèt li gade dèyè. Li di: -Se pa ou menm sa, Asayèl? Asayèl reponn li: -Men wi, se mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:21 ============ 2Sa 2:21 And Abner said to him, Turn thee aside to thy right hand or to thy left, and lay thee hold on one of the young men, and take thee his armour. But Asahel would not turn aside from following of him.(KJV-1611) 2Sa 2:21 Abnè di l' konsa: -Sispann kouri dèyè m'. Pito ou kouri dèyè yonn nan sòlda yo. Lèfini, w'a pran tou sa li genyen. Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:22 ============ 2Sa 2:22 And Abner said again to Asahel, Turn thee aside from following me: wherefore should I smite thee to the ground? how then should I hold up my face to Joab thy brother?(KJV-1611) 2Sa 2:22 Yon dezyèm fwa Abnè di l': -Asayèl, m' di ou sispann kouri dèyè m' wi! Pa fòse m' touye ou! Apre sa, ki jan m'a fè pou m' parèt devan Joab, frè ou la?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:23 ============ 2Sa 2:23 Howbeit he refused to turn aside: wherefore Abner with the hinder end of the spear smote him under the fifth rib, that the spear came out behind him; and he fell down there, and died in the same place: and it came to pass, that as many as came to the place where Asahel fell down and died stood still.(KJV-1611) 2Sa 2:23 Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li soti nan do l'. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:24 ============ 2Sa 2:24 Joab also and Abishai pursued after Abner: and the sun went down when they were come to the hill of Ammah, that lieth before Giah by the way of the wilderness of Gibeon.(KJV-1611) 2Sa 2:24 Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy tapral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:25 ============ 2Sa 2:25 And the children of Benjamin gathered themselves together after Abner, and became one troop, and stood on the top of an hill.(KJV-1611) 2Sa 2:25 Moun branch fanmi Benjamen yo sanble bò kote Anbè ankò. Yo pran pozisyon pou yo goumen sou tèt yon ti mòn.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:26 ============ 2Sa 2:26 Then Abner called to Joab, and said, Shall the sword devour for ever? knowest thou not that it will be bitterness in the latter end? how long shall it be then, ere thou bid the people return from following their brethren?(KJV-1611) 2Sa 2:26 Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:27 ============ 2Sa 2:27 And Joab said, As God liveth, unless thou hadst spoken, surely then in the morning the people had gone up every one from following his brother.(KJV-1611) 2Sa 2:27 Joab reponn li: -Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pa t' pale konsa se denmen maten moun pa m' yo t'ap sispann kouri dèyè ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:28 ============ 2Sa 2:28 So Joab blew a trumpet, and all the people stood still, and pursued after Israel no more, neither fought they any more.(KJV-1611) 2Sa 2:28 Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:29 ============ 2Sa 2:29 And Abner and his men walked all that night through the plain, and passed over Jordan, and went through all Bithron, and they came to Mahanaim.(KJV-1611) 2Sa 2:29 Abnè ak moun pa l' yo mache nan fon Jouden an tout lannwit lan. Lèfini, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Yo travèse tout zòn Bitwon an jouk yo rive lavil Manayim.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:30 ============ 2Sa 2:30 And Joab returned from following Abner: and when he had gathered all the people together, there lacked of David's servants nineteen men and Asahel.(KJV-1611) 2Sa 2:30 Joab menm, lè li sispann kouri dèyè Abnè a, li sanble tout lame a. Te gen disnèf sòlda nan moun David yo ki pa t' reponn prezan san konte Asayèl.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:31 ============ 2Sa 2:31 But the servants of David had smitten of Benjamin, and of Abner's men, so that three hundred and threescore men died.(KJV-1611) 2Sa 2:31 Patizan David yo te touye twasanswasant nan patizan Abnè yo, tout nan branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 2:32 ============ 2Sa 2:32 And they took up Asahel, and buried him in the sepulchre of his father, which was in Bethlehem. And Joab and his men went all night, and they came to Hebron at break of day.(KJV-1611) 2Sa 2:32 Joab ak moun pa l' yo pran kadav Asayèl, y' al antere l' nan tonm fanmi an lavil Betleyèm. Apre sa, yo pase nwit lan ap mache. Solèy t'ap leve lè yo rive Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:1 ============ 2Sa 3:1 Now there was long war between the house of Saul and the house of David: but David waxed stronger and stronger, and the house of Saul waxed weaker and weaker.(KJV-1611) 2Sa 3:1 Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:2 ============ 2Sa 3:2 And unto David were sons born in Hebron: and his firstborn was Amnon, of Ahinoam the Jezreelitess;(KJV-1611) 2Sa 3:2 Men sis pitit gason David vin fè antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:3 ============ 2Sa 3:3 And his second, Chileab, of Abigail the wife of Nabal the Carmelite; and the third, Absalom the son of Maacah the daughter of Talmai king of Geshur;(KJV-1611) 2Sa 3:3 Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l'. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:4 ============ 2Sa 3:4 And the fourth, Adonijah the son of Haggith; and the fifth, Shephatiah the son of Abital;(KJV-1611) 2Sa 3:4 Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:5 ============ 2Sa 3:5 And the sixth, Ithream, by Eglah David's wife. These were born to David in Hebron.(KJV-1611) 2Sa 3:5 Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lòt madanm David te genyen, ki te manman l'. Yo tout te fèt antan David te rete lavil Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:6 ============ 2Sa 3:6 And it came to pass, while there was war between the house of Saul and the house of David, that Abner made himself strong for the house of Saul.(KJV-1611) 2Sa 3:6 Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:7 ============ 2Sa 3:7 And Saul had a concubine, whose name was Rizpah, the daughter of Aiah: and Ishbosheth said to Abner, Wherefore hast thou gone in unto my father's concubine?(KJV-1611) 2Sa 3:7 Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnè te kouche avè l'. Yon jou, Ichbochèt rele Abnè, li di l' konsa: -Poukisa w' al kouche avèk yonn nan fanm kay papa m' yo?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:8 ============ 2Sa 3:8 Then was Abner very wroth for the words of Ishbosheth, and said, Am I a dog's head, which against Judah do shew kindness this day unto the house of Saul thy father, to his brethren, and to his friends, and have not delivered thee into the hand of David, that thou chargest me to day with a fault concerning this woman?(KJV-1611) 2Sa 3:8 Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: -Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l' yo, ni zanmi l' yo. Mwen goumen rèd mare pou m' pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou koulye a w'ap fè m' repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:9 ============ 2Sa 3:9 So do God to Abner, and more also, except, as the LORD hath sworn to David, even so I do to him;(KJV-1611) 2Sa 3:9 Se pou Seyè a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:10 ============ 2Sa 3:10 To translate the kingdom from the house of Saul, and to set up the throne of David over Israel and over Judah, from Dan even to Beersheba.(KJV-1611) 2Sa 3:10 Paske li te fè sèman l'ap wete baton kòmandman an nan fanmi Sayil la pou l' mete David wa sou moun Izrayèl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:11 ============ 2Sa 3:11 And he could not answer Abner a word again, because he feared him.(KJV-1611) 2Sa 3:11 Ichbochèt pa t' ka reponn Abnè anyen sitèlman li te pè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:12 ============ 2Sa 3:12 And Abner sent messengers to David on his behalf, saying, Whose is the land? saying also, Make thy league with me, and, behold, my hand shall be with thee, to bring about all Israel unto thee.(KJV-1611) 2Sa 3:12 Abnè voye kèk mesaje bò kote David pou di li: -Ki moun ki pral gouvènen peyi sa a? Pase yon kontra avè m'. M'ap ede ou pou tout moun Izrayèl yo vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:13 ============ 2Sa 3:13 And he said, Well; I will make a league with thee: but one thing I require of thee, that is, Thou shalt not see my face, except thou first bring Michal Saul's daughter, when thou comest to see my face.(KJV-1611) 2Sa 3:13 David reponn li: -Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:14 ============ 2Sa 3:14 And David sent messengers to Ishbosheth Saul's son, saying, Deliver me my wife Michal, which I espoused to me for an hundred foreskins of the Philistines.(KJV-1611) 2Sa 3:14 Apre sa, David voye kèk mesaje bò kot Ichbochèt pou di li: -Renmèt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kòk moun Filisti pou m' te ka marye avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:15 ============ 2Sa 3:15 And Ishbosheth sent, and took her from her husband, even from Phaltiel the son of Laish.(KJV-1611) 2Sa 3:15 Ichbochèt voye pran Mikal lakay mari li, Paltyèl, pitit gason Layis la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:16 ============ 2Sa 3:16 And her husband went with her along weeping behind her to Bahurim. Then said Abner unto him, Go, return. And he returned.(KJV-1611) 2Sa 3:16 Paltyèl pati dèyè l', li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: -Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:17 ============ 2Sa 3:17 And Abner had communication with the elders of Israel, saying, Ye sought for David in times past to be king over you:(KJV-1611) 2Sa 3:17 Abnè al jwenn chèf fanmi moun Izrayèl yo pou fè yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:18 ============ 2Sa 3:18 Now then do it: for the LORD hath spoken of David, saying, By the hand of my servant David I will save my people Israel out of the hand of the Philistines, and out of the hand of all their enemies.(KJV-1611) 2Sa 3:18 Enben, men chans nou. Paske men sa Seyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m' lan, pou m' delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:19 ============ 2Sa 3:19 And Abner also spake in the ears of Benjamin: and Abner went also to speak in the ears of David in Hebron all that seemed good to Israel, and that seemed good to the whole house of Benjamin.(KJV-1611) 2Sa 3:19 Anbè pale ak moun branch fanmi Benjamen yo tou. Lèfini, li pati pou Ebwon pou li al di David sa moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun branch fanmi Benjamen yo te tonbe dakò pou yo fè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:20 ============ 2Sa 3:20 So Abner came to David to Hebron, and twenty men with him. And David made Abner and the men that were with him a feast.(KJV-1611) 2Sa 3:20 Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lòt gason avè l'. David fè yon gwo resepsyon pou Abnè ak pou vin moun ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:21 ============ 2Sa 3:21 And Abner said unto David, I will arise and go, and will gather all Israel unto my lord the king, that they may make a league with thee, and that thou mayest reign over all that thine heart desireth. And David sent Abner away; and he went in peace.(KJV-1611) 2Sa 3:21 Abnè di David konsa: -Monwa, mwen prale koulye a, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. y'a pase yon kontra avè ou. Konsa, w'a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l' la. David bay Abnè pèmisyon pou li ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:22 ============ 2Sa 3:22 And, behold, the servants of David and Joab came from pursuing a troop, and brought in a great spoil with them: but Abner was not with David in Hebron; for he had sent him away, and he was gone in peace.(KJV-1611) 2Sa 3:22 Apre sa, Joab ak patizan David yo vin rive. Yo te sot fè yon pase kay lènmi yo, yo te tounen ak anpil bagay yo te pran lakay yo. Lè sa a, Abnè pa t' Ebwon ankò lakay David, paske David te gen tan kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:23 ============ 2Sa 3:23 When Joab and all the host that was with him were come, they told Joab, saying, Abner the son of Ner came to the king, and he hath sent him away, and he is gone in peace.(KJV-1611) 2Sa 3:23 Lè Joab ak sòlda ki te avè l' yo rive, yo di Joab Abnè, pitit Nè a, te vin wè wa a, epi wa a kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:24 ============ 2Sa 3:24 Then Joab came to the king, and said, What hast thou done? behold, Abner came unto thee; why is it that thou hast sent him away, and he is quite gone?(KJV-1611) 2Sa 3:24 Joab al jwenn wa a, li di li: -Sa ou fè konsa? Abnè vin jwenn ou epi ou kite l' ale san ou pa fè l' anyen?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:25 ============ 2Sa 3:25 Thou knowest Abner the son of Ner, that he came to deceive thee, and to know thy going out and thy coming in, and to know all that thou doest.(KJV-1611) 2Sa 3:25 Ou konn ki moun yo rele Abnè, pitit Nè a! Si li vini, se pou l' ka woule ou, pou l' ka konnen tout vire tounen ou, pou l' konnen tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:26 ============ 2Sa 3:26 And when Joab was come out from David, he sent messengers after Abner, which brought him again from the well of Sirah: but David knew it not.(KJV-1611) 2Sa 3:26 Lèfini, Joab soti kay David, li voye moun al chache Abnè san David pa konnen. Yo jwenn Abnè bò sitèn dlo Sira a, yo fè l' tounen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:27 ============ 2Sa 3:27 And when Abner was returned to Hebron, Joab took him aside in the gate to speak with him quietly, and smote him there under the fifth rib, that he died, for the blood of Asahel his brother.(KJV-1611) 2Sa 3:27 Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:28 ============ 2Sa 3:28 And afterward when David heard it, he said, I and my kingdom are guiltless before the LORD for ever from the blood of Abner the son of Ner:(KJV-1611) 2Sa 3:28 Lè David vin pran nouvèl la, li di: -Seyè a wè ni mwen ni moun gouvènman yo, nou pa gen anyen pou nou wè nan lanmò Abnè, pitit Nè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:29 ============ 2Sa 3:29 Let it rest on the head of Joab, and on all his father's house; and let there not fail from the house of Joab one that hath an issue, or that is a leper, or that leaneth on a staff, or that falleth on the sword, or that lacketh bread.(KJV-1611) 2Sa 3:29 Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:30 ============ 2Sa 3:30 So Joab, and Abishai his brother slew Abner, because he had slain their brother Asahel at Gibeon in the battle.(KJV-1611) 2Sa 3:30 Se konsa, Joab ak Abichay, frè l' la, te ansasinen Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè yo a, lè batay Gabawon an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:31 ============ 2Sa 3:31 And David said to Joab, and to all the people that were with him, Rend your clothes, and gird you with sackcloth, and mourn before Abner. And king David himself followed the bier.(KJV-1611) 2Sa 3:31 Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avè l' yo lòd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lèfini pou yo mache devan sèkèy Abnè a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dèyè sèkèy defen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:32 ============ 2Sa 3:32 And they buried Abner in Hebron: and the king lifted up his voice, and wept at the grave of Abner; and all the people wept.(KJV-1611) 2Sa 3:32 Yo antere Abnè Ebwon. Apre sa, wa a pran rele byen fò, li t'ap kriye sou tonm Abnè a. Tout pèp la t'ap kriye tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:33 ============ 2Sa 3:33 And the king lamented over Abner, and said, Died Abner as a fool dieth?(KJV-1611) 2Sa 3:33 Wa a pran chante pou plenn lanmò Abnè. Li di nan chante a: -Abnè, poukisa ou mouri bèt konsa?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:34 ============ 2Sa 3:34 Thy hands were not bound, nor thy feet put into fetters: as a man falleth before wicked men, so fellest thou. And all the people wept again over him.(KJV-1611) 2Sa 3:34 Men ou yo pa t' mare, pye ou yo pa t' nan chenn. Ou mouri tankou moun ki tonbe nan men malfektè! Tout pèp la pran kriye ankò pou Abnè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:35 ============ 2Sa 3:35 And when all the people came to cause David to eat meat while it was yet day, David sware, saying, So do God to me, and more also, if I taste bread, or ought else, till the sun be down.(KJV-1611) 2Sa 3:35 Apre sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:36 ============ 2Sa 3:36 And all the people took notice of it, and it pleased them: as whatsoever the king did pleased all the people.(KJV-1611) 2Sa 3:36 Tout pèp la vin konn sa. Sa te fè yo plezi. Pou di vre, tou sa David te fè te fè pèp la plezi.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:37 ============ 2Sa 3:37 For all the people and all Israel understood that day that it was not of the king to slay Abner the son of Ner.(KJV-1611) 2Sa 3:37 Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te vin konnen tout bon vre wa a pa t' gen anyen pou l' te wè nan jan yo te ansasinen Abnè, pitit gason Nè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:38 ============ 2Sa 3:38 And the king said unto his servants, Know ye not that there is a prince and a great man fallen this day in Israel?(KJV-1611) 2Sa 3:38 Wa a di moun k'ap sèvi avè l' yo: -Aa, mesye! Jòdi a pèp Izrayèl la pèdi yon chèf, yon gwo chèf wi!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 3:39 ============ 2Sa 3:39 And I am this day weak, though anointed king; and these men the sons of Zeruiah be too hard for me: the LORD shall reward the doer of evil according to his wickedness.(KJV-1611) 2Sa 3:39 Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fèb jòdi a. Pitit gason Sewouya yo twò mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenèl sa yo pou mechanste yo fè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:1 ============ 2Sa 4:1 And when Saul's son heard that Abner was dead in Hebron, his hands were feeble, and all the Israelites were troubled.(KJV-1611) 2Sa 4:1 Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l' kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:2 ============ 2Sa 4:2 And Saul's son had two men that were captains of bands: the name of the one was Baanah, and the name of the other Rechab, the sons of Rimmon a Beerothite, of the children of Benjamin: (for Beeroth also was reckoned to Benjamin.(KJV-1611) 2Sa 4:2 Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:3 ============ 2Sa 4:3 And the Beerothites fled to Gittaim, and were sojourners there until this day.)(KJV-1611) 2Sa 4:3 depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:4 ============ 2Sa 4:4 And Jonathan, Saul's son, had a son that was lame of his feet. He was five years old when the tidings came of Saul and Jonathan out of Jezreel, and his nurse took him up, and fled: and it came to pass, as she made haste to flee, that he fell, and became lame. And his name was Mephibosheth.(KJV-1611) 2Sa 4:4 Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:5 ============ 2Sa 4:5 And the sons of Rimmon the Beerothite, Rechab and Baanah, went, and came about the heat of the day to the house of Ishbosheth, who lay on a bed at noon.(KJV-1611) 2Sa 4:5 Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:6 ============ 2Sa 4:6 And they came thither into the midst of the house, as though they would have fetched wheat; and they smote him under the fifth rib: and Rechab and Baanah his brother escaped.(KJV-1611) 2Sa 4:6 Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l'. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:7 ============ 2Sa 4:7 For when they came into the house, he lay on his bed in his bedchamber, and they smote him, and slew him, and beheaded him, and took his head, and gat them away through the plain all night.(KJV-1611) 2Sa 4:7 Lè yo rive anndan, y' al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l'. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l', yo pati avè l'. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:8 ============ 2Sa 4:8 And they brought the head of Ishbosheth unto David to Hebron, and said to the king, Behold the head of Ishbosheth the son of Saul thine enemy, which sought thy life; and the LORD hath avenged my lord the king this day of Saul, and of his seed.(KJV-1611) 2Sa 4:8 Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:9 ============ 2Sa 4:9 And David answered Rechab and Baanah his brother, the sons of Rimmon the Beerothite, and said unto them, As the LORD liveth, who hath redeemed my soul out of all adversity,(KJV-1611) 2Sa 4:9 David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:10 ============ 2Sa 4:10 When one told me, saying, Behold, Saul is dead, thinking to have brought good tidings, I took hold of him, and slew him in Ziklag, who thought that I would have given him a reward for his tidings:(KJV-1611) 2Sa 4:10 lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:11 ============ 2Sa 4:11 How much more, when wicked men have slain a righteous person in his own house upon his bed? shall I not therefore now require his blood of your hand, and take you away from the earth?(KJV-1611) 2Sa 4:11 Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 4:12 ============ 2Sa 4:12 And David commanded his young men, and they slew them, and cut off their hands and their feet, and hanged them up over the pool in Hebron. But they took the head of Ishbosheth, and buried it in the sepulchre of Abner in Hebron.(KJV-1611) 2Sa 4:12 David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y' al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y' al antere l' Ebwon, nan tonm Abnè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:1 ============ 2Sa 5:1 Then came all the tribes of Israel to David unto Hebron, and spake, saying, Behold, we are thy bone and thy flesh.(KJV-1611) 2Sa 5:1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:2 ============ 2Sa 5:2 Also in time past, when Saul was king over us, thou wast he that leddest out and broughtest in Israel: and the LORD said to thee, Thou shalt feed my people Israel, and thou shalt be a captain over Israel.(KJV-1611) 2Sa 5:2 Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:3 ============ 2Sa 5:3 So all the elders of Israel came to the king to Hebron; and king David made a league with them in Hebron before the LORD: and they anointed David king over Israel.(KJV-1611) 2Sa 5:3 Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:4 ============ 2Sa 5:4 David was thirty years old when he began to reign, and he reigned forty years.(KJV-1611) 2Sa 5:4 David te gen trantan lè l' rive wa. Li kòmande pandan karantan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:5 ============ 2Sa 5:5 In Hebron he reigned over Judah seven years and six months: and in Jerusalem he reigned thirty and three years over all Israel and Judah.(KJV-1611) 2Sa 5:5 Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:6 ============ 2Sa 5:6 And the king and his men went to Jerusalem unto the Jebusites, the inhabitants of the land: which spake unto David, saying, Except thou take away the blind and the lame, thou shalt not come in hither: thinking, David cannot come in hither.(KJV-1611) 2Sa 5:6 Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:7 ============ 2Sa 5:7 Nevertheless David took the strong hold of Zion: the same is the city of David.(KJV-1611) 2Sa 5:7 Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:8 ============ 2Sa 5:8 And David said on that day, Whosoever getteth up to the gutter, and smiteth the Jebusites, and the lame and the blind that are hated of David's soul, he shall be chief and captain. Wherefore they said, The blind and the lame shall not come into the house.(KJV-1611) 2Sa 5:8 Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m' yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:9 ============ 2Sa 5:9 So David dwelt in the fort, and called it the city of David. And David built round about from Millo and inward.(KJV-1611) 2Sa 5:9 Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:10 ============ 2Sa 5:10 And David went on, and grew great, and the LORD God of hosts was with him.(KJV-1611) 2Sa 5:10 Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:11 ============ 2Sa 5:11 And Hiram king of Tyre sent messengers to David, and cedar trees, and carpenters, and masons: and they built David an house.(KJV-1611) 2Sa 5:11 Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:12 ============ 2Sa 5:12 And David perceived that the LORD had established him king over Israel, and that he had exalted his kingdom for his people Israel's sake.(KJV-1611) 2Sa 5:12 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:13 ============ 2Sa 5:13 And David took him more concubines and wives out of Jerusalem, after he was come from Hebron: and there were yet sons and daughters born to David.(KJV-1611) 2Sa 5:13 Lè David kite lavil Ebwon pou li al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:14 ============ 2Sa 5:14 And these be the names of those that were born unto him in Jerusalem; Shammuah, and Shobab, and Nathan, and Solomon,(KJV-1611) 2Sa 5:14 Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:15 ============ 2Sa 5:15 Ibhar also, and Elishua, and Nepheg, and Japhia,(KJV-1611) 2Sa 5:15 Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:16 ============ 2Sa 5:16 And Elishama, and Eliada, and Eliphalet.(KJV-1611) 2Sa 5:16 Elichama, Elyada ak Elifelèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:17 ============ 2Sa 5:17 But when the Philistines heard that they had anointed David king over Israel, all the Philistines came up to seek David; and David heard of it, and went down to the hold.(KJV-1611) 2Sa 5:17 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:18 ============ 2Sa 5:18 The Philistines also came and spread themselves in the valley of Rephaim.(KJV-1611) 2Sa 5:18 Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:19 ============ 2Sa 5:19 And David enquired of the LORD, saying, Shall I go up to the Philistines? wilt thou deliver them into mine hand? And the LORD said unto David, Go up: for I will doubtless deliver the Philistines into thine hand.(KJV-1611) 2Sa 5:19 David pale ak Seyè a, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:20 ============ 2Sa 5:20 And David came to Baalperazim, and David smote them there, and said, The LORD hath broken forth upon mine enemies before me, as the breach of waters. Therefore he called the name of that place Baalperazim.(KJV-1611) 2Sa 5:20 David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:21 ============ 2Sa 5:21 And there they left their images, and David and his men burned them.(KJV-1611) 2Sa 5:21 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:22 ============ 2Sa 5:22 And the Philistines came up yet again, and spread themselves in the valley of Rephaim.(KJV-1611) 2Sa 5:22 Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:23 ============ 2Sa 5:23 And when David enquired of the LORD, he said, Thou shalt not go up; but fetch a compass behind them, and come upon them over against the mulberry trees.(KJV-1611) 2Sa 5:23 David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:24 ============ 2Sa 5:24 And let it be, when thou hearest the sound of a going in the tops of the mulberry trees, that then thou shalt bestir thyself: for then shall the LORD go out before thee, to smite the host of the Philistines.(KJV-1611) 2Sa 5:24 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 5:25 ============ 2Sa 5:25 And David did so, as the LORD had commanded him; and smote the Philistines from Geba until thou come to Gazer.(KJV-1611) 2Sa 5:25 David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:1 ============ 2Sa 6:1 Again, David gathered together all the chosen men of Israel, thirty thousand.(KJV-1611) 2Sa 6:1 Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil gason.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:2 ============ 2Sa 6:2 And David arose, and went with all the people that were with him from Baale of Judah, to bring up from thence the ark of God, whose name is called by the name of the LORD of hosts that dwelleth between the cherubims.(KJV-1611) 2Sa 6:2 Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:3 ============ 2Sa 6:3 And they set the ark of God upon a new cart, and brought it out of the house of Abinadab that was in Gibeah: and Uzzah and Ahio, the sons of Abinadab, drave the new cart.(KJV-1611) 2Sa 6:3 Yo pran Bwat la kay Abenadab sou mòn lan, mete l' sou yon kabwa tou nèf, yo pote l' ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abenadab yo, t'ap mennen kabwa(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:4 ============ 2Sa 6:4 And they brought it out of the house of Abinadab which was at Gibeah, accompanying the ark of God: and Ahio went before the ark.(KJV-1611) 2Sa 6:4 kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:5 ============ 2Sa 6:5 And David and all the house of Israel played before the LORD on all manner of instruments made of fir wood, even on harps, and on psalteries, and on timbrels, and on cornets, and on cymbals.(KJV-1611) 2Sa 6:5 David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:6 ============ 2Sa 6:6 And when they came to Nachon's threshingfloor, Uzzah put forth his hand to the ark of God, and took hold of it; for the oxen shook it.(KJV-1611) 2Sa 6:6 Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:7 ============ 2Sa 6:7 And the anger of the LORD was kindled against Uzzah; and God smote him there for his error; and there he died by the ark of God.(KJV-1611) 2Sa 6:7 Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:8 ============ 2Sa 6:8 And David was displeased, because the LORD had made a breach upon Uzzah: and he called the name of the place Perezuzzah to this day.(KJV-1611) 2Sa 6:8 David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza konsa. Se poutèt sa depi lè sa a yo rele kote sa a Perèz-Ouza, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:9 ============ 2Sa 6:9 And David was afraid of the LORD that day, and said, How shall the ark of the LORD come to me?(KJV-1611) 2Sa 6:9 Lè sa a, David vin pè Seyè a. Li di li pa wè ki jan pou l' pran Bwat Kontra a lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:10 ============ 2Sa 6:10 So David would not remove the ark of the LORD unto him into the city of David: but David carried it aside into the house of Obededom the Gittite.(KJV-1611) 2Sa 6:10 Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:11 ============ 2Sa 6:11 And the ark of the LORD continued in the house of Obededom the Gittite three months: and the LORD blessed Obededom, and all his household.(KJV-1611) 2Sa 6:11 Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:12 ============ 2Sa 6:12 And it was told king David, saying, The LORD hath blessed the house of Obededom, and all that pertaineth unto him, because of the ark of God. So David went and brought up the ark of God from the house of Obededom into the city of David with gladness.(KJV-1611) 2Sa 6:12 Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:13 ============ 2Sa 6:13 And it was so, that when they that bare the ark of the LORD had gone six paces, he sacrificed oxen and fatlings.(KJV-1611) 2Sa 6:13 Lè moun ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bèf chatre pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:14 ============ 2Sa 6:14 And David danced before the LORD with all his might; and David was girded with a linen ephod.(KJV-1611) 2Sa 6:14 Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyè a. Li pa t' gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:15 ============ 2Sa 6:15 So David and all the house of Israel brought up the ark of the LORD with shouting, and with the sound of the trumpet.(KJV-1611) 2Sa 6:15 Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Seyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:16 ============ 2Sa 6:16 And as the ark of the LORD came into the city of David, Michal Saul's daughter looked through a window, and saw king David leaping and dancing before the LORD; and she despised him in her heart.(KJV-1611) 2Sa 6:16 Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:17 ============ 2Sa 6:17 And they brought in the ark of the LORD, and set it in his place, in the midst of the tabernacle that David had pitched for it: and David offered burnt offerings and peace offerings before the LORD.(KJV-1611) 2Sa 6:17 Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:18 ============ 2Sa 6:18 And as soon as David had made an end of offering burnt offerings and peace offerings, he blessed the people in the name of the LORD of hosts.(KJV-1611) 2Sa 6:18 Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:19 ============ 2Sa 6:19 And he dealt among all the people, even among the whole multitude of Israel, as well to the women as men, to every one a cake of bread, and a good piece of flesh, and a flagon of wine. So all the people departed every one to his house.(KJV-1611) 2Sa 6:19 Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:20 ============ 2Sa 6:20 Then David returned to bless his household. And Michal the daughter of Saul came out to meet David, and said, How glorious was the king of Israel to day, who uncovered himself to day in the eyes of the handmaids of his servants, as one of the vain fellows shamelessly uncovereth himself!(KJV-1611) 2Sa 6:20 Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:21 ============ 2Sa 6:21 And David said unto Michal, It was before the LORD, which chose me before thy father, and before all his house, to appoint me ruler over the people of the LORD, over Israel: therefore will I play before the LORD.(KJV-1611) 2Sa 6:21 David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fè lwanj Seyè a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fè lwanj li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:22 ============ 2Sa 6:22 And I will yet be more vile than thus, and will be base in mine own sight: and of the maidservants which thou hast spoken of, of them shall I be had in honour.(KJV-1611) 2Sa 6:22 M'ap desanm tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m'. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m' anlè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 6:23 ============ 2Sa 6:23 Therefore Michal the daughter of Saul had no child unto the day of her death.(KJV-1611) 2Sa 6:23 Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:1 ============ 2Sa 7:1 And it came to pass, when the king sat in his house, and the LORD had given him rest round about from all his enemies;(KJV-1611) 2Sa 7:1 Wa David te byen chita nan palè li. Seyè a te pwoteje l', li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l' kont ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:2 ============ 2Sa 7:2 That the king said unto Nathan the prophet, See now, I dwell in an house of cedar, but the ark of God dwelleth within curtains.(KJV-1611) 2Sa 7:2 Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:3 ============ 2Sa 7:3 And Nathan said to the king, Go, do all that is in thine heart; for the LORD is with thee.(KJV-1611) 2Sa 7:3 Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l', paske Seyè a kanpe la avè ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:4 ============ 2Sa 7:4 And it came to pass that night, that the word of the LORD came unto Nathan, saying,(KJV-1611) 2Sa 7:4 Men, menm jou lannwit sa a, Seyè a pale ak Natan, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:5 ============ 2Sa 7:5 Go and tell my servant David, Thus saith the LORD, Shalt thou build me an house for me to dwell in?(KJV-1611) 2Sa 7:5 -Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:6 ============ 2Sa 7:6 Whereas I have not dwelt in any house since the time that I brought up the children of Israel out of Egypt, even to this day, but have walked in a tent and in a tabernacle.(KJV-1611) 2Sa 7:6 Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:7 ============ 2Sa 7:7 In all the places wherein I have walked with all the children of Israel spake I a word with any of the tribes of Israel, whom I commanded to feed my people Israel, saying, Why build ye not me an house of cedar?(KJV-1611) 2Sa 7:7 Nan tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:8 ============ 2Sa 7:8 Now therefore so shalt thou say unto my servant David, Thus saith the LORD of hosts, I took thee from the sheepcote, from following the sheep, to be ruler over my people, over Israel:(KJV-1611) 2Sa 7:8 Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:9 ============ 2Sa 7:9 And I was with thee whithersoever thou wentest, and have cut off all thine enemies out of thy sight, and have made thee a great name, like unto the name of the great men that are in the earth.(KJV-1611) 2Sa 7:9 Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:10 ============ 2Sa 7:10 Moreover I will appoint a place for my people Israel, and will plant them, that they may dwell in a place of their own, and move no more; neither shall the children of wickedness afflict them any more, as beforetime,(KJV-1611) 2Sa 7:10 Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:11 ============ 2Sa 7:11 And as since the time that I commanded judges to be over my people Israel, and have caused thee to rest from all thine enemies. Also the LORD telleth thee that he will make thee an house.(KJV-1611) 2Sa 7:11 lè mwen te mete jij yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:12 ============ 2Sa 7:12 And when thy days be fulfilled, and thou shalt sleep with thy fathers, I will set up thy seed after thee, which shall proceed out of thy bowels, and I will establish his kingdom.(KJV-1611) 2Sa 7:12 Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:13 ============ 2Sa 7:13 He shall build an house for my name, and I will stablish the throne of his kingdom for ever.(KJV-1611) 2Sa 7:13 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:14 ============ 2Sa 7:14 I will be his father, and he shall be my son. If he commit iniquity, I will chasten him with the rod of men, and with the stripes of the children of men:(KJV-1611) 2Sa 7:14 M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:15 ============ 2Sa 7:15 But my mercy shall not depart away from him, as I took it from Saul, whom I put away before thee.(KJV-1611) 2Sa 7:15 Men, m'ap toujou soutni l', mwen p'ap lage l' jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l' tonbe pou m' te mete ou nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:16 ============ 2Sa 7:16 And thine house and thy kingdom shall be established for ever before thee: thy throne shall be established for ever.(KJV-1611) 2Sa 7:16 Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:17 ============ 2Sa 7:17 According to all these words, and according to all this vision, so did Nathan speak unto David.(KJV-1611) 2Sa 7:17 Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:18 ============ 2Sa 7:18 Then went king David in, and sat before the LORD, and he said, Who am I, O Lord GOD? and what is my house, that thou hast brought me hitherto?(KJV-1611) 2Sa 7:18 Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:19 ============ 2Sa 7:19 And this was yet a small thing in thy sight, O Lord GOD; but thou hast spoken also of thy servant's house for a great while to come. And is this the manner of man, O Lord GOD?(KJV-1611) 2Sa 7:19 Men ou wè sa pa kont toujou, Seyè, Bondye sèl Mèt la, kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m' konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Seyè, Bondye sèl Mèt la!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:20 ============ 2Sa 7:20 And what can David say more unto thee? for thou, Lord GOD, knowest thy servant.(KJV-1611) 2Sa 7:20 Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:21 ============ 2Sa 7:21 For thy word's sake, and according to thine own heart, hast thou done all these great things, to make thy servant know them.(KJV-1611) 2Sa 7:21 Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l' konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:22 ============ 2Sa 7:22 Wherefore thou art great, O LORD God: for there is none like thee, neither is there any God beside thee, according to all that we have heard with our ears.(KJV-1611) 2Sa 7:22 Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:23 ============ 2Sa 7:23 And what one nation in the earth is like thy people, even like Israel, whom God went to redeem for a people to himself, and to make him a name, and to do for you great things and terrible, for thy land, before thy people, which thou redeemedst to thee from Egypt, from the nations and their gods?(KJV-1611) 2Sa 7:23 Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:24 ============ 2Sa 7:24 For thou hast confirmed to thyself thy people Israel to be a people unto thee for ever: and thou, LORD, art become their God.(KJV-1611) 2Sa 7:24 Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:25 ============ 2Sa 7:25 And now, O LORD God, the word that thou hast spoken concerning thy servant, and concerning his house, establish it for ever, and do as thou hast said.(KJV-1611) 2Sa 7:25 Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:26 ============ 2Sa 7:26 And let thy name be magnified for ever, saying, The LORD of hosts is the God over Israel: and let the house of thy servant David be established before thee.(KJV-1611) 2Sa 7:26 Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:27 ============ 2Sa 7:27 For thou, O LORD of hosts, God of Israel, hast revealed to thy servant, saying, I will build thee an house: therefore hath thy servant found in his heart to pray this prayer unto thee.(KJV-1611) 2Sa 7:27 Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:28 ============ 2Sa 7:28 And now, O Lord GOD, thou art that God, and thy words be true, and thou hast promised this goodness unto thy servant:(KJV-1611) 2Sa 7:28 Koulye a, Seyè sèl Mèt, se ou ki Bondye tout bon an. Ou toujou kenbe pwomès ou yo. Gade bèl pawòl kè kontan ou di sèvitè ou la!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 7:29 ============ 2Sa 7:29 Therefore now let it please thee to bless the house of thy servant, that it may continue for ever before thee: for thou, O Lord GOD, hast spoken it: and with thy blessing let the house of thy servant be blessed for ever.(KJV-1611) 2Sa 7:29 Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:1 ============ 2Sa 8:1 And after this it came to pass that David smote the Philistines, and subdued them: and David took Methegammah out of the hand of the Philistines.(KJV-1611) 2Sa 8:1 Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:2 ============ 2Sa 8:2 And he smote Moab, and measured them with a line, casting them down to the ground; even with two lines measured he to put to death, and with one full line to keep alive. And so the Moabites became David's servants, and brought gifts.(KJV-1611) 2Sa 8:2 Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:3 ============ 2Sa 8:3 David smote also Hadadezer, the son of Rehob, king of Zobah, as he went to recover his border at the river Euphrates.(KJV-1611) 2Sa 8:3 Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:4 ============ 2Sa 8:4 And David took from him a thousand chariots, and seven hundred horsemen, and twenty thousand footmen: and David houghed all the chariot horses, but reserved of them for an hundred chariots.(KJV-1611) 2Sa 8:4 David pran mil sètsan sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:5 ============ 2Sa 8:5 And when the Syrians of Damascus came to succour Hadadezer king of Zobah, David slew of the Syrians two and twenty thousand men.(KJV-1611) 2Sa 8:5 Moun peyi Siri ki te rete lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:6 ============ 2Sa 8:6 Then David put garrisons in Syria of Damascus: and the Syrians became servants to David, and brought gifts. And the LORD preserved David whithersoever he went.(KJV-1611) 2Sa 8:6 Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:7 ============ 2Sa 8:7 And David took the shields of gold that were on the servants of Hadadezer, and brought them to Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 8:7 David sezi tout gwo plak pwotèj an fè chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:8 ============ 2Sa 8:8 And from Betah, and from Berothai, cities of Hadadezer, king David took exceeding much brass.(KJV-1611) 2Sa 8:8 Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Beta ak lavil Bewotayi, ki te pou Adadezè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:9 ============ 2Sa 8:9 When Toi king of Hamath heard that David had smitten all the host of Hadadezer,(KJV-1611) 2Sa 8:9 Lè Tòy, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:10 ============ 2Sa 8:10 Then Toi sent Joram his son unto king David, to salute him, and to bless him, because he had fought against Hadadezer, and smitten him: for Hadadezer had wars with Toi. And Joram brought with him vessels of silver, and vessels of gold, and vessels of brass:(KJV-1611) 2Sa 8:10 li voye pitit li, Joram, al wè David pou di l' bonjou epi pou fè l' konpliman dèske li te bat Adadezè, paske Tòy te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Joram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:11 ============ 2Sa 8:11 Which also king David did dedicate unto the LORD, with the silver and gold that he had dedicated of all nations which he subdued;(KJV-1611) 2Sa 8:11 Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:12 ============ 2Sa 8:12 Of Syria, and of Moab, and of the children of Ammon, and of the Philistines, and of Amalek, and of the spoil of Hadadezer, son of Rehob, king of Zobah.(KJV-1611) 2Sa 8:12 ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:13 ============ 2Sa 8:13 And David gat him a name when he returned from smiting of the Syrians in the valley of salt, being eighteen thousand men.(KJV-1611) 2Sa 8:13 Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil moun peyi Edon nan fon Sèl la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:14 ============ 2Sa 8:14 And he put garrisons in Edom; throughout all Edom put he garrisons, and all they of Edom became David's servants. And the LORD preserved David whithersoever he went.(KJV-1611) 2Sa 8:14 Li mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:15 ============ 2Sa 8:15 And David reigned over all Israel; and David executed judgment and justice unto all his people.(KJV-1611) 2Sa 8:15 David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:16 ============ 2Sa 8:16 And Joab the son of Zeruiah was over the host; and Jehoshaphat the son of Ahilud was recorder;(KJV-1611) 2Sa 8:16 Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:17 ============ 2Sa 8:17 And Zadok the son of Ahitub, and Ahimelech the son of Abiathar, were the priests; and Seraiah was the scribe;(KJV-1611) 2Sa 8:17 Zadòk, pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 8:18 ============ 2Sa 8:18 And Benaiah the son of Jehoiada was over both the Cherethites and the Pelethites; and David's sons were chief rulers.(KJV-1611) 2Sa 8:18 Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen ak peletyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te prèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:1 ============ 2Sa 9:1 And David said, Is there yet any that is left of the house of Saul, that I may shew him kindness for Jonathan's sake?(KJV-1611) 2Sa 9:1 Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:2 ============ 2Sa 9:2 And there was of the house of Saul a servant whose name was Ziba. And when they had called him unto David, the king said unto him, Art thou Ziba? And he said, Thy servant is he.(KJV-1611) 2Sa 9:2 Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sèvi ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:3 ============ 2Sa 9:3 And the king said, Is there not yet any of the house of Saul, that I may shew the kindness of God unto him? And Ziba said unto the king, Jonathan hath yet a son, which is lame on his feet.(KJV-1611) 2Sa 9:3 Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:4 ============ 2Sa 9:4 And the king said unto him, Where is he? And Ziba said unto the king, Behold, he is in the house of Machir, the son of Ammiel, in Lodebar.(KJV-1611) 2Sa 9:4 Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:5 ============ 2Sa 9:5 Then king David sent, and fetched him out of the house of Machir, the son of Ammiel, from Lodebar.(KJV-1611) 2Sa 9:5 Se konsa, David voye chache l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:6 ============ 2Sa 9:6 Now when Mephibosheth, the son of Jonathan, the son of Saul, was come unto David, he fell on his face, and did reverence. And David said, Mephibosheth. And he answered, Behold thy servant!(KJV-1611) 2Sa 9:6 Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l' konsa: -Mefibochèt? Li reponn: -Se mwen menm, monwa. M' la pou m' sèvi ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:7 ============ 2Sa 9:7 And David said unto him, Fear not: for I will surely shew thee kindness for Jonathan thy father's sake, and will restore thee all the land of Saul thy father; and thou shalt eat bread at my table continually.(KJV-1611) 2Sa 9:7 David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:8 ============ 2Sa 9:8 And he bowed himself, and said, What is thy servant, that thou shouldest look upon such a dead dog as I am?(KJV-1611) 2Sa 9:8 Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di: -Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:9 ============ 2Sa 9:9 Then the king called to Ziba, Saul's servant, and said unto him, I have given unto thy master's son all that pertained to Saul and to all his house.(KJV-1611) 2Sa 9:9 Lè sa a, wa a rele Ziba, domestik Sayil la, li di l' konsa: -Mwen renmèt Mefibochèt, pitit pitit gason mèt ou a, tou sa ki te pou Sayil ak fanmi l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:10 ============ 2Sa 9:10 Thou therefore, and thy sons, and thy servants, shall till the land for him, and thou shalt bring in the fruits, that thy master's son may have food to eat: but Mephibosheth thy master's son shall eat bread alway at my table. Now Ziba had fifteen sons and twenty servants.(KJV-1611) 2Sa 9:10 Ou men, ansanm ak pitit gason ou yo ak moun k'ap sèvi avè ou yo, nou pral travay tè a pou li. W'a pote rekòt la ba li pou rès fanmi l' ka jwenn manje pou yo manje. Men, Mefibochèt li menm ap toujou vin manje chak jou sou tab avè m'. Ziba te gen kenz pitit gason ak ven moun k'ap sèvi l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:11 ============ 2Sa 9:11 Then said Ziba unto the king, According to all that my lord the king hath commanded his servant, so shall thy servant do. As for Mephibosheth, said the king, he shall eat at my table, as one of the king's sons.(KJV-1611) 2Sa 9:11 Ziba reponn li: -M'ap fè tou sa monwa ban m' lòd fè. Se konsa, Mefibochèt toujou manje sou tab ansanm ak David tankou si li te yonn nan pitit wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:12 ============ 2Sa 9:12 And Mephibosheth had a young son, whose name was Micha. And all that dwelt in the house of Ziba were servants unto Mephibosheth.(KJV-1611) 2Sa 9:12 Mefibochèt te gen yon pitit gason ki te piti joujou. Li te rele Mika. Tout moun ki te rete kay Ziba t'ap travay pou Mefibochèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 9:13 ============ 2Sa 9:13 So Mephibosheth dwelt in Jerusalem: for he did eat continually at the king's table; and was lame on both his feet.(KJV-1611) 2Sa 9:13 Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l' yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:1 ============ 2Sa 10:1 And it came to pass after this, that the king of the children of Ammon died, and Hanun his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Sa 10:1 Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:2 ============ 2Sa 10:2 Then said David, I will shew kindness unto Hanun the son of Nahash, as his father shewed kindness unto me. And David sent to comfort him by the hand of his servants for his father. And David's servants came into the land of the children of Ammon.(KJV-1611) 2Sa 10:2 David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:3 ============ 2Sa 10:3 And the princes of the children of Ammon said unto Hanun their lord, Thinkest thou that David doth honour thy father, that he hath sent comforters unto thee? hath not David rather sent his servants unto thee, to search the city, and to spy it out, and to overthrow it?(KJV-1611) 2Sa 10:3 chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:4 ============ 2Sa 10:4 Wherefore Hanun took David's servants, and shaved off the one half of their beards, and cut off their garments in the middle, even to their buttocks, and sent them away.(KJV-1611) 2Sa 10:4 Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:5 ============ 2Sa 10:5 When they told it unto David, he sent to meet them, because the men were greatly ashamed: and the king said, Tarry at Jericho until your beards be grown, and then return.(KJV-1611) 2Sa 10:5 Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:6 ============ 2Sa 10:6 And when the children of Ammon saw that they stank before David, the children of Ammon sent and hired the Syrians of Bethrehob and the Syrians of Zoba, twenty thousand footmen, and of king Maacah a thousand men, and of Ishtob twelve thousand men.(KJV-1611) 2Sa 10:6 Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:7 ============ 2Sa 10:7 And when David heard of it, he sent Joab, and all the host of the mighty men.(KJV-1611) 2Sa 10:7 David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:8 ============ 2Sa 10:8 And the children of Ammon came out, and put the battle in array at the entering in of the gate: and the Syrians of Zoba, and of Rehob, and Ishtob, and Maacah, were by themselves in the field.(KJV-1611) 2Sa 10:8 Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki soti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:9 ============ 2Sa 10:9 When Joab saw that the front of the battle was against him before and behind, he chose of all the choice men of Israel, and put them in array against the Syrians:(KJV-1611) 2Sa 10:9 Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:10 ============ 2Sa 10:10 And the rest of the people he delivered into the hand of Abishai his brother, that he might put them in array against the children of Ammon.(KJV-1611) 2Sa 10:10 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:11 ============ 2Sa 10:11 And he said, If the Syrians be too strong for me, then thou shalt help me: but if the children of Ammon be too strong for thee, then I will come and help thee.(KJV-1611) 2Sa 10:11 Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:12 ============ 2Sa 10:12 Be of good courage, and let us play the men for our people, and for the cities of our God: and the LORD do that which seemeth him good.(KJV-1611) 2Sa 10:12 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:13 ============ 2Sa 10:13 And Joab drew nigh, and the people that were with him, unto the battle against the Syrians: and they fled before him.(KJV-1611) 2Sa 10:13 Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:14 ============ 2Sa 10:14 And when the children of Ammon saw that the Syrians were fled, then fled they also before Abishai, and entered into the city. So Joab returned from the children of Ammon, and came to Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 10:14 Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:15 ============ 2Sa 10:15 And when the Syrians saw that they were smitten before Israel, they gathered themselves together.(KJV-1611) 2Sa 10:15 Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo ankò, yo sanble dènye sòlda yo te genyen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:16 ============ 2Sa 10:16 And Hadarezer sent, and brought out the Syrians that were beyond the river: and they came to Helam; and Shobach the captain of the host of Hadarezer went before them.(KJV-1611) 2Sa 10:16 Adadezè voye yon mesaj bay moun Aram ki rete lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou li. Yo reyini lavil Elam. Se Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:17 ============ 2Sa 10:17 And when it was told David, he gathered all Israel together, and passed over Jordan, and came to Helam. And the Syrians set themselves in array against David, and fought with him.(KJV-1611) 2Sa 10:17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li rive Elam. Moun Aram yo pran pozisyon devan li. Epi batay la konmanse.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:18 ============ 2Sa 10:18 And the Syrians fled before Israel; and David slew the men of seven hundred chariots of the Syrians, and forty thousand horsemen, and smote Shobach the captain of their host, who died there.(KJV-1611) 2Sa 10:18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 10:19 ============ 2Sa 10:19 And when all the kings that were servants to Hadarezer saw that they were smitten before Israel, they made peace with Israel, and served them. So the Syrians feared to help the children of Ammon any more.(KJV-1611) 2Sa 10:19 Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:1 ============ 2Sa 11:1 And it came to pass, after the year was expired, at the time when kings go forth to battle, that David sent Joab, and his servants with him, and all Israel; and they destroyed the children of Ammon, and besieged Rabbah. But David tarried still at Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 11:1 Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:2 ============ 2Sa 11:2 And it came to pass in an eveningtide, that David arose from off his bed, and walked upon the roof of the king's house: and from the roof he saw a woman washing herself; and the woman was very beautiful to look upon.(KJV-1611) 2Sa 11:2 Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:3 ============ 2Sa 11:3 And David sent and enquired after the woman. And one said, Is not this Bathsheba, the daughter of Eliam, the wife of Uriah the Hittite?(KJV-1611) 2Sa 11:3 Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:4 ============ 2Sa 11:4 And David sent messengers, and took her; and she came in unto him, and he lay with her; for she was purified from her uncleanness: and she returned unto her house.(KJV-1611) 2Sa 11:4 David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:5 ============ 2Sa 11:5 And the woman conceived, and sent and told David, and said, I am with child.(KJV-1611) 2Sa 11:5 Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l' konn sa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:6 ============ 2Sa 11:6 And David sent to Joab, saying, Send me Uriah the Hittite. And Joab sent Uriah to David.(KJV-1611) 2Sa 11:6 David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:7 ============ 2Sa 11:7 And when Uriah was come unto him, David demanded of him how Joab did, and how the people did, and how the war prospered.(KJV-1611) 2Sa 11:7 Lè Ouri rive, David mande l' nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:8 ============ 2Sa 11:8 And David said to Uriah, Go down to thy house, and wash thy feet. And Uriah departed out of the king's house, and there followed him a mess of meat from the king.(KJV-1611) 2Sa 11:8 Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:9 ============ 2Sa 11:9 But Uriah slept at the door of the king's house with all the servants of his lord, and went not down to his house.(KJV-1611) 2Sa 11:9 Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:10 ============ 2Sa 11:10 And when they had told David, saying, Uriah went not down unto his house, David said unto Uriah, Camest thou not from thy journey? why then didst thou not go down unto thine house?(KJV-1611) 2Sa 11:10 Lè David vin konnen Ouri pa t' al lakay li, li mande l': -Ou fèk antre soti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:11 ============ 2Sa 11:11 And Uriah said unto David, The ark, and Israel, and Judah, abide in tents; and my lord Joab, and the servants of my lord, are encamped in the open fields; shall I then go into mine house, to eat and to drink, and to lie with my wife? as thou livest, and as thy soul liveth, I will not do this thing.(KJV-1611) 2Sa 11:11 Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m' al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m' pa ka janm fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:12 ============ 2Sa 11:12 And David said to Uriah, Tarry here to day also, and to morrow I will let thee depart. So Uriah abode in Jerusalem that day, and the morrow.(KJV-1611) 2Sa 11:12 David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:13 ============ 2Sa 11:13 And when David had called him, he did eat and drink before him; and he made him drunk: and at even he went out to lie on his bed with the servants of his lord, but went not down to his house.(KJV-1611) 2Sa 11:13 David envite l' vin manje avè l'. Li fè l' bwè jouk li sou. Men jou swa sa a tou, Ouri pa desann al lakay li. Li kouche sou kabann li ansanm ak sòlda palè wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:14 ============ 2Sa 11:14 And it came to pass in the morning, that David wrote a letter to Joab, and sent it by the hand of Uriah.(KJV-1611) 2Sa 11:14 Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:15 ============ 2Sa 11:15 And he wrote in the letter, saying, Set ye Uriah in the forefront of the hottest battle, and retire ye from him, that he may be smitten, and die.(KJV-1611) 2Sa 11:15 Nan lèt la, li te ekri: W'a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:16 ============ 2Sa 11:16 And it came to pass, when Joab observed the city, that he assigned Uriah unto a place where he knew that valiant men were.(KJV-1611) 2Sa 11:16 Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:17 ============ 2Sa 11:17 And the men of the city went out, and fought with Joab: and there fell some of the people of the servants of David; and Uriah the Hittite died also.(KJV-1611) 2Sa 11:17 Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:18 ============ 2Sa 11:18 Then Joab sent and told David all the things concerning the war;(KJV-1611) 2Sa 11:18 Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:19 ============ 2Sa 11:19 And charged the messenger, saying, When thou hast made an end of telling the matters of the war unto the king,(KJV-1611) 2Sa 11:19 Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:20 ============ 2Sa 11:20 And if so be that the king's wrath arise, and he say unto thee, Wherefore approached ye so nigh unto the city when ye did fight? knew ye not that they would shoot from the wall?(KJV-1611) 2Sa 11:20 li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m' te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:21 ============ 2Sa 11:21 Who smote Abimelech the son of Jerubbesheth? did not a woman cast a piece of a millstone upon him from the wall, that he died in Thebez? why went ye nigh the wall? then say thou, Thy servant Uriah the Hittite is dead also.(KJV-1611) 2Sa 11:21 Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:22 ============ 2Sa 11:22 So the messenger went, and came and shewed David all that Joab had sent him for.(KJV-1611) 2Sa 11:22 Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l' la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:23 ============ 2Sa 11:23 And the messenger said unto David, Surely the men prevailed against us, and came out unto us into the field, and we were upon them even unto the entering of the gate.(KJV-1611) 2Sa 11:23 Li di l': -Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon soti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:24 ============ 2Sa 11:24 And the shooters shot from off the wall upon thy servants; and some of the king's servants be dead, and thy servant Uriah the Hittite is dead also.(KJV-1611) 2Sa 11:24 Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:25 ============ 2Sa 11:25 Then David said unto the messenger, Thus shalt thou say unto Joab, Let not this thing displease thee, for the sword devoureth one as well as another: make thy battle more strong against the city, and overthrow it: and encourage thou him.(KJV-1611) 2Sa 11:25 David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:26 ============ 2Sa 11:26 And when the wife of Uriah heard that Uriah her husband was dead, she mourned for her husband.(KJV-1611) 2Sa 11:26 Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 11:27 ============ 2Sa 11:27 And when the mourning was past, David sent and fetched her to his house, and she became his wife, and bare him a son. But the thing that David had done displeased the LORD.(KJV-1611) 2Sa 11:27 Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:1 ============ 2Sa 12:1 And the LORD sent Nathan unto David. And he came unto him, and said unto him, There were two men in one city; the one rich, and the other poor.(KJV-1611) 2Sa 12:1 Seyè a voye pwofèt Natan kot David. Natan rive kote l', li di l' konsa: -Vwala te gen de nonm ki t'ap viv nan yon lavil. Yonn te rich, lòt la te pòv.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:2 ============ 2Sa 12:2 The rich man had exceeding many flocks and herds:(KJV-1611) 2Sa 12:2 Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:3 ============ 2Sa 12:3 But the poor man had nothing, save one little ewe lamb, which he had bought and nourished up: and it grew up together with him, and with his children; it did eat of his own meat, and drank of his own cup, and lay in his bosom, and was unto him as a daughter.(KJV-1611) 2Sa 12:3 Pòv la menm pa t' gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l' li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:4 ============ 2Sa 12:4 And there came a traveller unto the rich man, and he spared to take of his own flock and of his own herd, to dress for the wayfaring man that was come unto him; but took the poor man's lamb, and dressed it for the man that was come to him.(KJV-1611) 2Sa 12:4 Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pa t' santi kouraj li pou l' te pran yonn nan mouton l' yo osinon nan bèf li yo pou l' fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fe manje ak li bay vizitè ki te lakay li a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:5 ============ 2Sa 12:5 And David's anger was greatly kindled against the man; and he said to Nathan, As the LORD liveth, the man that hath done this thing shall surely die:(KJV-1611) 2Sa 12:5 David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:6 ============ 2Sa 12:6 And he shall restore the lamb fourfold, because he did this thing, and because he had no pity.(KJV-1611) 2Sa 12:6 Pou l' peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l' te pran an, paske li san pitye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:7 ============ 2Sa 12:7 And Nathan said to David, Thou art the man. Thus saith the LORD God of Israel, I anointed thee king over Israel, and I delivered thee out of the hand of Saul;(KJV-1611) 2Sa 12:7 Le sa a, Natan di David: -Nonm sa a, se ou menm! Men mesaj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:8 ============ 2Sa 12:8 And I gave thee thy master's house, and thy master's wives into thy bosom, and gave thee the house of Israel and of Judah; and if that had been too little, I would moreover have given unto thee such and such things.(KJV-1611) 2Sa 12:8 Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l' lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pa t' kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:9 ============ 2Sa 12:9 Wherefore hast thou despised the commandment of the LORD, to do evil in his sight? thou hast killed Uriah the Hittite with the sword, and hast taken his wife to be thy wife, and hast slain him with the sword of the children of Ammon.(KJV-1611) 2Sa 12:9 Poukisa atò ou pa swiv lòd mwen yo? Poukisa ou fè mechanste sa a? Ou fè yo touye Ouri nan lagè, ou kite moun Amon yo touye l'. Lèfini, ou pran madanm li!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:10 ============ 2Sa 12:10 Now therefore the sword shall never depart from thine house; because thou hast despised me, and hast taken the wife of Uriah the Hittite to be thy wife.(KJV-1611) 2Sa 12:10 Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:11 ============ 2Sa 12:11 Thus saith the LORD, Behold, I will raise up evil against thee out of thine own house, and I will take thy wives before thine eyes, and give them unto thy neighbour, and he shall lie with thy wives in the sight of this sun.(KJV-1611) 2Sa 12:11 Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:12 ============ 2Sa 12:12 For thou didst it secretly: but I will do this thing before all Israel, and before the sun.(KJV-1611) 2Sa 12:12 Ou menm, ou te fè zafè ou la an kachèt. Mwen menm, m'ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:13 ============ 2Sa 12:13 And David said unto Nathan, I have sinned against the LORD. And Nathan said unto David, The LORD also hath put away thy sin; thou shalt not die.(KJV-1611) 2Sa 12:13 David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:14 ============ 2Sa 12:14 Howbeit, because by this deed thou hast given great occasion to the enemies of the LORD to blaspheme, the child also that is born unto thee shall surely die.(KJV-1611) 2Sa 12:14 Sèlman, ak sa ou fè la a, ou moutre jan ou ka derespekte Seyè a. Se poutèt sa pitit ou fèk genyen an ap mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:15 ============ 2Sa 12:15 And Nathan departed unto his house. And the LORD struck the child that Uriah's wife bare unto David, and it was very sick.(KJV-1611) 2Sa 12:15 Apre sa, Natan al lakay li. Seyè a fè pitit madan Ouri te fè pou David la vin malad grav.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:16 ============ 2Sa 12:16 David therefore besought God for the child; and David fasted, and went in, and lay all night upon the earth.(KJV-1611) 2Sa 12:16 David tonbe lapriyè Seyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:17 ============ 2Sa 12:17 And the elders of his house arose, and went to him, to raise him up from the earth: but he would not, neither did he eat bread with them.(KJV-1611) 2Sa 12:17 Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l' leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pa t' vle manje avèk yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:18 ============ 2Sa 12:18 And it came to pass on the seventh day, that the child died. And the servants of David feared to tell him that the child was dead: for they said, Behold, while the child was yet alive, we spake unto him, and he would not hearken unto our voice: how will he then vex himself, if we tell him that the child is dead?(KJV-1611) 2Sa 12:18 Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l', ki jan pou n' al di l' koulye a pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:19 ============ 2Sa 12:19 But when David saw that his servants whispered, David perceived that the child was dead: therefore David said unto his servants, Is the child dead? And they said, He is dead.(KJV-1611) 2Sa 12:19 Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo: -Pitit la mouri? Yo reponn li: -Wi, li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:20 ============ 2Sa 12:20 Then David arose from the earth, and washed, and anointed himself, and changed his apparel, and came into the house of the LORD, and worshipped: then he came to his own house; and when he required, they set bread before him, and he did eat.(KJV-1611) 2Sa 12:20 David leve atè a, li al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. li ale nan kay Seyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l' manje. Li manje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:21 ============ 2Sa 12:21 Then said his servants unto him, What thing is this that thou hast done? thou didst fast and weep for the child, while it was alive; but when the child was dead, thou didst rise and eat bread.(KJV-1611) 2Sa 12:21 Moun pa l' yo t'ap di l': -Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:22 ============ 2Sa 12:22 And he said, While the child was yet alive, I fasted and wept: for I said, Who can tell whether GOD will be gracious to me, that the child may live?(KJV-1611) 2Sa 12:22 David reponn yo: -Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Seyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:23 ============ 2Sa 12:23 But now he is dead, wherefore should I fast? can I bring him back again? I shall go to him, but he shall not return to me.(KJV-1611) 2Sa 12:23 Men, koulye a, pitit la mouri, sa m' bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l' leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l' ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:24 ============ 2Sa 12:24 And David comforted Bathsheba his wife, and went in unto her, and lay with her: and she bare a son, and he called his name Solomon: and the LORD loved him.(KJV-1611) 2Sa 12:24 Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l', Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l' Salomon. Seyè a te renmen ti gason sa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:25 ============ 2Sa 12:25 And he sent by the hand of Nathan the prophet; and he called his name Jedidiah, because of the LORD.(KJV-1611) 2Sa 12:25 Li bay pwofèt Natan lòd al di David rele pitit la Jedidya, paske Seyè a te renmen l' vre.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:26 ============ 2Sa 12:26 And Joab fought against Rabbah of the children of Ammon, and took the royal city.(KJV-1611) 2Sa 12:26 Pandan tout tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:27 ============ 2Sa 12:27 And Joab sent messengers to David, and said, I have fought against Rabbah, and have taken the city of waters.(KJV-1611) 2Sa 12:27 Li voye mesaje al di David pou li: -Mwen atake lavil Raba. Mwen pran rezèvwa dlo yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:28 ============ 2Sa 12:28 Now therefore gather the rest of the people together, and encamp against the city, and take it: lest I take the city, and it be called after my name.(KJV-1611) 2Sa 12:28 Koulye a, sanble tout rès lame a, mache sou lavil la, vin pran li. Mwen pa ta vle se mwen menm ki pran lavil la lèfini pou tout lwanj lan vin pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:29 ============ 2Sa 12:29 And David gathered all the people together, and went to Rabbah, and fought against it, and took it.(KJV-1611) 2Sa 12:29 Se konsa, David sanble tout lame a, li mache sou lavil Raba. Li atake l', li pran l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:30 ============ 2Sa 12:30 And he took their king's crown from off his head, the weight whereof was a talent of gold with the precious stones: and it was set on David's head. And he brought forth the spoil of the city in great abundance.(KJV-1611) 2Sa 12:30 Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 12:31 ============ 2Sa 12:31 And he brought forth the people that were therein, and put them under saws, and under harrows of iron, and under axes of iron, and made them pass through the brick-kiln: and thus did he unto all the cities of the children of Ammon. So David and all the people returned unto Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 12:31 Li pran moun ki te rete nan lavil la, li fè yo travay ak goyin, wou ak rach. Li mete yo travay ap fè brik. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil nan peyi Amon an. Apre sa, li tounen Jerizalèm ak tout moun li yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:1 ============ 2Sa 13:1 And it came to pass after this, that Absalom the son of David had a fair sister, whose name was Tamar; and Amnon the son of David loved her.(KJV-1611) 2Sa 13:1 Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:2 ============ 2Sa 13:2 And Amnon was so vexed, that he fell sick for his sister Tamar; for she was a virgin; and Amnon thought it hard for him to do anything to her.(KJV-1611) 2Sa 13:2 Amnon te sitèlman renmen l', li vin malad paske li pa t' ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pa t' kite l' kontre ak ankenn gason.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:3 ============ 2Sa 13:3 But Amnon had a friend, whose name was Jonadab, the son of Shimeah David's brother: and Jonadab was a very subtil man.(KJV-1611) 2Sa 13:3 Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:4 ============ 2Sa 13:4 And he said unto him, Why art thou, being the king's son, lean from day to day? wilt thou not tell me? And Amnon said unto him, I love Tamar, my brother Absalom's sister.(KJV-1611) 2Sa 13:4 Li di Amnon konsa: -Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: -Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m' lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:5 ============ 2Sa 13:5 And Jonadab said unto him, Lay thee down on thy bed, and make thyself sick: and when thy father cometh to see thee, say unto him, I pray thee, let my sister Tamar come, and give me meat, and dress the meat in my sight, that I may see it, and eat it at her hand.(KJV-1611) 2Sa 13:5 Jonadab di li: -Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w'a di l': Tanpri, kite Tama, sè m' lan, vin ban m' manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m' pou m' wè l', lèfini pou l' sèvi m' manje a li menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:6 ============ 2Sa 13:6 So Amnon lay down, and made himself sick: and when the king was come to see him, Amnon said unto the king, I pray thee, let Tamar my sister come, and make me a couple of cakes in my sight, that I may eat at her hand.(KJV-1611) 2Sa 13:6 Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l'. Amnon di l' konsa: -Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m' lan, lèfini pou l' sèvi m' yo li menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:7 ============ 2Sa 13:7 Then David sent home to Tamar, saying, Go now to thy brother Amnon's house, and dress him meat.(KJV-1611) 2Sa 13:7 David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l' ale kay Amnon pare manje pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:8 ============ 2Sa 13:8 So Tamar went to her brother Amnon's house; and he was laid down. And she took flour, and kneaded it, and made cakes in his sight, and did bake the cakes.(KJV-1611) 2Sa 13:8 Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l', li fè kèk gato pou li devan je l'. Lèfini, li mete yo kwit.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:9 ============ 2Sa 13:9 And she took a pan, and poured them out before him; but he refused to eat. And Amnon said, Have out all men from me. And they went out every man from him.(KJV-1611) 2Sa 13:9 Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l': -Fè tout moun soti! Lè tout moun fin soti,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:10 ============ 2Sa 13:10 And Amnon said unto Tamar, Bring the meat into the chamber, that I may eat of thine hand. And Tamar took the cakes which she had made, and brought them into the chamber to Amnon her brother.(KJV-1611) 2Sa 13:10 Amnon di Tama konsa: -Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m'. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:11 ============ 2Sa 13:11 And when she had brought them unto him to eat, he took hold of her, and said unto her, Come lie with me, my sister.(KJV-1611) 2Sa 13:11 Antan l'ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l' konsa: -vin kouche avè m' non, sè m'!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:12 ============ 2Sa 13:12 And she answered him, Nay, my brother, do not force me; for no such thing ought to be done in Israel: do not thou this folly.(KJV-1611) 2Sa 13:12 Tama di l': -Non, frè m'! Pa fòse m'! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:13 ============ 2Sa 13:13 And I, whither shall I cause my shame to go? and as for thee, thou shalt be as one of the fools in Israel. Now therefore, I pray thee, speak unto the king; for he will not withhold me from thee.(KJV-1611) 2Sa 13:13 Apre sa, mwen p'ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w'ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p'ap refize ou marye avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:14 ============ 2Sa 13:14 Howbeit he would not hearken unto her voice: but, being stronger than she, forced her, and lay with her.(KJV-1611) 2Sa 13:14 Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l' la. Li te gen plis fòs pase l', li kouche ak li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:15 ============ 2Sa 13:15 Then Amnon hated her exceedingly; so that the hatred wherewith he hated her was greater than the love wherewith he had loved her. And Amnon said unto her, Arise, be gone.(KJV-1611) 2Sa 13:15 Lèfini, li santi li rayi Tama pou l' mouri. Li vin rayi l' plis pase jan li te renmen l' lan. Li di l': -Mete ou deyò lakay mwen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:16 ============ 2Sa 13:16 And she said unto him, There is no cause: this evil in sending me away is greater than the other that thou didst unto me. But he would not hearken unto her.(KJV-1611) 2Sa 13:16 Tama reponn li: -A non! Mete m' deyò konsa! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m' la a! Men Amnon pa t' soti pou koute l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:17 ============ 2Sa 13:17 Then he called his servant that ministered unto him, and said, Put now this woman out from me, and bolt the door after her.(KJV-1611) 2Sa 13:17 Li rele gason ki t'ap sèvi l' la, li di l': -Wete fi sa a devan je m'! Mete l' deyò. Lèfini, fèmen pòt la akle dèyè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:18 ============ 2Sa 13:18 And she had a garment of divers colours upon her: for with such robes were the king's daughters that were virgins apparelled. Then his servant brought her out, and bolted the door after her.(KJV-1611) 2Sa 13:18 Gason an fè Tama soti deyò, li fèmen pòt la akle dèyè l'. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit wa yo te konn mete sou yo lè yo poko marye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:19 ============ 2Sa 13:19 And Tamar put ashes on her head, and rent her garment of divers colours that was on her, and laid her hand on her head, and went on crying.(KJV-1611) 2Sa 13:19 Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:20 ============ 2Sa 13:20 And Absalom her brother said unto her, Hath Amnon thy brother been with thee? but hold now thy peace, my sister: he is thy brother; regard not this thing. So Tamar remained desolate in her brother Absalom's house.(KJV-1611) 2Sa 13:20 Lè sa a, Absalon, frè l' la, mande l': -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m' pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l' la. Li te nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:21 ============ 2Sa 13:21 But when king David heard of all these things, he was very wroth.(KJV-1611) 2Sa 13:21 Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l'. Li te renmen l' kou de grenn je nan tèt li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:22 ============ 2Sa 13:22 And Absalom spake unto his brother Amnon neither good nor bad: for Absalom hated Amnon, because he had forced his sister Tamar.(KJV-1611) 2Sa 13:22 Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:23 ============ 2Sa 13:23 And it came to pass after two full years, that Absalom had sheepshearers in Baalhazor, which is beside Ephraim: and Absalom invited all the king's sons.(KJV-1611) 2Sa 13:23 Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l' yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:24 ============ 2Sa 13:24 And Absalom came to the king, and said, Behold now, thy servant hath sheepshearers; let the king, I beseech thee, and his servants go with thy servant.(KJV-1611) 2Sa 13:24 li al jwenn wa David, li di l' konsa: -Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m' yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:25 ============ 2Sa 13:25 And the king said to Absalom, Nay, my son, let us not all now go, lest we be chargeable unto thee. And he pressed him: howbeit he would not go, but blessed him.(KJV-1611) 2Sa 13:25 W'a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l' ale ak benediksyon l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:26 ============ 2Sa 13:26 Then said Absalom, If not, I pray thee, let my brother Amnon go with us. And the king said unto him, Why should he go with thee?(KJV-1611) 2Sa 13:26 Lè sa a Absalon di l': -Men, èske w'ap kite Amnon, frè m' lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l' ale a?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:27 ============ 2Sa 13:27 But Absalom pressed him, that he let Amnon and all the king's sons go with him.(KJV-1611) 2Sa 13:27 Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l' yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l' t'ap fè l' pou yon wa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:28 ============ 2Sa 13:28 Now Absalom had commanded his servants, saying, Mark ye now when Amnon's heart is merry with wine, and when I say unto you, Smite Amnon; then kill him, fear not: have not I commanded you? be courageous, and be valiant.(KJV-1611) 2Sa 13:28 Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:29 ============ 2Sa 13:29 And the servants of Absalom did unto Amnon as Absalom had commanded. Then all the king's sons arose, and every man gat him up upon his mule, and fled.(KJV-1611) 2Sa 13:29 Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:30 ============ 2Sa 13:30 And it came to pass, while they were in the way, that tidings came to David, saying, Absalom hath slain all the king's sons, and there is not one of them left.(KJV-1611) 2Sa 13:30 Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:31 ============ 2Sa 13:31 Then the king arose, and tare his garments, and lay on the earth; and all his servants stood by with their clothes rent.(KJV-1611) 2Sa 13:31 Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l' atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:32 ============ 2Sa 13:32 And Jonadab, the son of Shimeah David's brother, answered and said, Let not my lord suppose that they have slain all the young men the king's sons; for Amnon only is dead: for by the appointment of Absalom this hath been determined from the day that he forced his sister Tamar.(KJV-1611) 2Sa 13:32 Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l': -Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l' te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:33 ============ 2Sa 13:33 Now therefore let not my lord the king take the thing to his heart, to think that all the king's sons are dead: for Amnon only is dead.(KJV-1611) 2Sa 13:33 Koulye a, monwa, ou pa bezwen koute moun k'ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:34 ============ 2Sa 13:34 But Absalom fled. And the young man that kept the watch lifted up his eyes, and looked, and, behold, there came much people by the way of the hill side behind him.(KJV-1611) 2Sa 13:34 Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t'ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l' sa li wè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:35 ============ 2Sa 13:35 And Jonadab said unto the king, Behold, the king's sons come: as thy servant said, so it is.(KJV-1611) 2Sa 13:35 Jonabad di wa a konsa: -Men sa m' t'ap di ou la. Se pitit gason ou yo k'ap vini.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:36 ============ 2Sa 13:36 And it came to pass, as soon as he had made an end of speaking, that, behold, the king's sons came, and lifted up their voice and wept: and the king also and all his servants wept very sore.(KJV-1611) 2Sa 13:36 Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:37 ============ 2Sa 13:37 But Absalom fled, and went to Talmai, the son of Ammihud, king of Geshur. And David mourned for his son every day.(KJV-1611) 2Sa 13:37 Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:38 ============ 2Sa 13:38 So Absalom fled, and went to Geshur, and was there three years.(KJV-1611) 2Sa 13:38 Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 13:39 ============ 2Sa 13:39 And the soul of king David longed to go forth unto Absalom: for he was comforted concerning Amnon, seeing he was dead.(KJV-1611) 2Sa 13:39 Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:1 ============ 2Sa 14:1 Now Joab the son of Zeruiah perceived that the king's heart was toward Absalom.(KJV-1611) 2Sa 14:1 Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:2 ============ 2Sa 14:2 And Joab sent to Tekoah, and fetched thence a wise woman, and said unto her, I pray thee, feign thyself to be a mourner, and put on now mourning apparel, and anoint not thyself with oil, but be as a woman that had a long time mourned for the dead:(KJV-1611) 2Sa 14:2 Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:3 ============ 2Sa 14:3 And come to the king, and speak on this manner unto him. So Joab put the words in her mouth.(KJV-1611) 2Sa 14:3 Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:4 ============ 2Sa 14:4 And when the woman of Tekoah spake to the king, she fell on her face to the ground, and did obeisance, and said, Help, O king.(KJV-1611) 2Sa 14:4 Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:5 ============ 2Sa 14:5 And the king said unto her, What aileth thee? And she answered, I am indeed a widow woman, and mine husband is dead.(KJV-1611) 2Sa 14:5 Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:6 ============ 2Sa 14:6 And thy handmaid had two sons, and they two strove together in the field, and there was none to part them, but the one smote the other, and slew him.(KJV-1611) 2Sa 14:6 Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:7 ============ 2Sa 14:7 And, behold, the whole family is risen against thine handmaid, and they said, Deliver him that smote his brother, that we may kill him, for the life of his brother whom he slew; and we will destroy the heir also: and so they shall quench my coal which is left, and shall not leave to my husband neither name nor remainder upon the earth.(KJV-1611) 2Sa 14:7 Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:8 ============ 2Sa 14:8 And the king said unto the woman, Go to thine house, and I will give charge concerning thee.(KJV-1611) 2Sa 14:8 Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:9 ============ 2Sa 14:9 And the woman of Tekoah said unto the king, My lord, O king, the iniquity be on me, and on my father's house: and the king and his throne be guiltless.(KJV-1611) 2Sa 14:9 Fanm lavil Tekoa a di wa a konsa: -Monwa, nenpòt kisa w'a deside fè, si pou gen repwòch, y'a repwoche mwen menm ansanm ak fanmi pa m'. Men, ou menm ak gouvènman ou, nou pa reskonsab anyen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:10 ============ 2Sa 14:10 And the king said, Whoever saith ought unto thee, bring him to me, and he shall not touch thee any more.(KJV-1611) 2Sa 14:10 Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:11 ============ 2Sa 14:11 Then said she, I pray thee, let the king remember the LORD thy God, that thou wouldest not suffer the revengers of blood to destroy any more, lest they destroy my son. And he said, As the LORD liveth, there shall not one hair of thy son fall to the earth.(KJV-1611) 2Sa 14:11 Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:12 ============ 2Sa 14:12 Then the woman said, Let thine handmaid, I pray thee, speak one word unto my lord the king. And he said, Say on.(KJV-1611) 2Sa 14:12 Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:13 ============ 2Sa 14:13 And the woman said, Wherefore then hast thou thought such a thing against the people of God? for the king doth speak this thing as one which is faulty, in that the king doth not fetch home again his banished.(KJV-1611) 2Sa 14:13 Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:14 ============ 2Sa 14:14 For we must needs die, and are as water spilt on the ground, which cannot be gathered up again; neither doth God respect any person: yet doth he devise means, that his banished be not expelled from him.(KJV-1611) 2Sa 14:14 Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:15 ============ 2Sa 14:15 Now therefore that I am come to speak of this thing unto my lord the king, it is because the people have made me afraid: and thy handmaid said, I will now speak unto the king; it may be that the king will perform the request of his handmaid.(KJV-1611) 2Sa 14:15 Monwa, rezon ki fè mwen te vin pale avè ou la, se paske moun yo t'ap fè m' pè. Mwen di nan kè m' mwen pral pale ak wa a. Wa a ka fè sa m'ap mande l' la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:16 ============ 2Sa 14:16 For the king will hear, to deliver his handmaid out of the hand of the man that would destroy me and my son together out of the inheritance of God.(KJV-1611) 2Sa 14:16 Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:17 ============ 2Sa 14:17 Then thine handmaid said, The word of my lord the king shall now be comfortable: for as an angel of God, so is my lord the king to discern good and bad: therefore the LORD thy God will be with thee.(KJV-1611) 2Sa 14:17 Mwen di ankò pawòl monwa va ban m' kouraj paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Seyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:18 ============ 2Sa 14:18 Then the king answered and said unto the woman, Hide not from me, I pray thee, the thing that I shall ask thee. And the woman said, Let my lord the king now speak.(KJV-1611) 2Sa 14:18 Wa a di l' konsa: -Mwen pral mande ou kichòy, pa kache m' anyen. Fanm lan reponn: -Monwa, mande m' sa ou vle?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:19 ============ 2Sa 14:19 And the king said, Is not the hand of Joab with thee in all this? And the woman answered and said, As thy soul liveth, my lord the king, none can turn to the right hand or to the left from ought that my lord the king hath spoken: for thy servant Joab, he bade me, and he put all these words in the mouth of thine handmaid:(KJV-1611) 2Sa 14:19 Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:20 ============ 2Sa 14:20 To fetch about this form of speech hath thy servant Joab done this thing: and my lord is wise, according to the wisdom of an angel of God, to know all things that are in the earth.(KJV-1611) 2Sa 14:20 Men, si li fè l' se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa ki ap pase nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:21 ============ 2Sa 14:21 And the king said unto Joab, Behold now, I have done this thing: go therefore, bring the young man Absalom again.(KJV-1611) 2Sa 14:21 Pita, wa a di Joab konsa: -Mwen pral fè sa ou vle m' fè a. Ale chache jennonm yo rele Absalon an, mennen l' tounen isit la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:22 ============ 2Sa 14:22 And Joab fell to the ground on his face, and bowed himself, and thanked the king: and Joab said, To day thy servant knoweth that I have found grace in thy sight, my lord, O king, in that the king hath fulfilled the request of his servant.(KJV-1611) 2Sa 14:22 Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:23 ============ 2Sa 14:23 So Joab arose and went to Geshur, and brought Absalom to Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 14:23 Joab leve, li ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:24 ============ 2Sa 14:24 And the king said, Let him turn to his own house, and let him not see my face. So Absalom returned to his own house, and saw not the king's face.(KJV-1611) 2Sa 14:24 Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l' parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:25 ============ 2Sa 14:25 But in all Israel there was none to be so much praised as Absalom for his beauty: from the sole of his foot even to the crown of his head there was no blemish in him.(KJV-1611) 2Sa 14:25 Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:26 ============ 2Sa 14:26 And when he polled his head, (for it was at every year's end that he polled it: because the hair was heavy on him, therefore he polled it:) he weighed the hair of his head at two hundred shekels after the king's weight.(KJV-1611) 2Sa 14:26 Li te gen anpil cheve. Li te blije koupe yo chak lanne paske, lè yo te lonje yo te vin twò lou pou li. Lè yo peze cheve yo, yo ka rive peze senk liv dapre sistèm pèz yo sèvi kay wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:27 ============ 2Sa 14:27 And unto Absalom there were born three sons, and one daughter, whose name was Tamar: she was a woman of a fair countenance.(KJV-1611) 2Sa 14:27 Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:28 ============ 2Sa 14:28 So Absalom dwelt two full years in Jerusalem, and saw not the king's face.(KJV-1611) 2Sa 14:28 Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:29 ============ 2Sa 14:29 Therefore Absalom sent for Joab, to have sent him to the king; but he would not come to him: and when he sent again the second time, he would not come.(KJV-1611) 2Sa 14:29 Apre sa, li voye chache Joab pou mande l' al kote wa a pou li. Men, Joab pa vini. Yon lòt fwa ankò, Absalon voye chache l'. Fwa sa a tou Joab refize vini.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:30 ============ 2Sa 14:30 Therefore he said unto his servants, See, Joab's field is near mine, and he hath barley there; go and set it on fire. And Absalom's servants set the field on fire.(KJV-1611) 2Sa 14:30 Lè sa a, Absalon di domestik li yo: -Gade! Nou wè jaden Joab ki toupre jaden pa m' lan. Li plante lòj. Enben, al met dife ladan l'. Y' ale, yo mete dife nan jaden Joab la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:31 ============ 2Sa 14:31 Then Joab arose, and came to Absalom unto his house, and said unto him, Wherefore have thy servants set my field on fire?(KJV-1611) 2Sa 14:31 Joab al lakay Absalon, li mande l': -Poukisa moun pa ou yo mete dife nan jaden m' lan?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:32 ============ 2Sa 14:32 And Absalom answered Joab, Behold, I sent unto thee, saying, Come hither, that I may send thee to the king, to say, Wherefore am I come from Geshur? it had been good for me to have been there still: now therefore let me see the king's face; and if there be any iniquity in me, let him kill me.(KJV-1611) 2Sa 14:32 Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 14:33 ============ 2Sa 14:33 So Joab came to the king, and told him: and when he had called for Absalom, he came to the king, and bowed himself on his face to the ground before the king: and the king kissed Absalom.(KJV-1611) 2Sa 14:33 Se konsa Joab al bò kote wa David, li rapòte l' sa Absalon te di l' la. Wa a voye chache Absalon. Absalon vini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa resevwa l', li bo l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:1 ============ 2Sa 15:1 And it came to pass after this, that Absalom prepared him chariots and horses, and fifty men to run before him.(KJV-1611) 2Sa 15:1 Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:2 ============ 2Sa 15:2 And Absalom rose up early, and stood beside the way of the gate: and it was so, that when any man that had a controversy came to the king for judgment, then Absalom called unto him, and said, Of what city art thou? And he said, Thy servant is of one of the tribes of Israel.(KJV-1611) 2Sa 15:2 Chak maten, Absalon leve byen bonè, li al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l' sou kote, li mande l' ki bò li moun. Apre moun lan fin di l' moun ki branch fanmi li ye,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:3 ============ 2Sa 15:3 And Absalom said unto him, See, thy matters are good and right; but there is no man deputed of the king to hear thee.(KJV-1611) 2Sa 15:3 Absalon di l' konsa: -Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:4 ============ 2Sa 15:4 Absalom said moreover, Oh that I were made judge in the land, that every man which hath any suit or cause might come unto me, and I would do him justice!(KJV-1611) 2Sa 15:4 Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki va mete m' chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l' jistis.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:5 ============ 2Sa 15:5 And it was so, that when any man came nigh to him to do him obeisance, he put forth his hand, and took him, and kissed him.(KJV-1611) 2Sa 15:5 Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l', Absalon lonje men l', li kenbe l' epi li bo l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:6 ============ 2Sa 15:6 And on this manner did Absalom to all Israel that came to the king for judgment: so Absalom stole the hearts of the men of Israel.(KJV-1611) 2Sa 15:6 Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:7 ============ 2Sa 15:7 And it came to pass after forty years, that Absalom said unto the king, I pray thee, let me go and pay my vow, which I have vowed unto the LORD, in Hebron.(KJV-1611) 2Sa 15:7 Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:8 ============ 2Sa 15:8 For thy servant vowed a vow while I abode at Geshur in Syria, saying, If the LORD shall bring me again indeed to Jerusalem, then I will serve the LORD.(KJV-1611) 2Sa 15:8 Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Seyè a si m' te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:9 ============ 2Sa 15:9 And the king said unto him, Go in peace. So he arose, and went to Hebron.(KJV-1611) 2Sa 15:9 Wa a di l': -Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:10 ============ 2Sa 15:10 But Absalom sent spies throughout all the tribes of Israel, saying, As soon as ye hear the sound of the trumpet, then ye shall say, Absalom reigneth in Hebron.(KJV-1611) 2Sa 15:10 Menm lè a, li voye mesaje nan tout branch fanmi Izrayèl yo pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo kònen, n'a fè konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:11 ============ 2Sa 15:11 And with Absalom went two hundred men out of Jerusalem, that were called; and they went in their simplicity, and they knew not any thing.(KJV-1611) 2Sa 15:11 Te gen desan moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l', men yo pa t' konn anyen nan zafè konplo a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:12 ============ 2Sa 15:12 And Absalom sent for Ahithophel the Gilonite, David's counsellor, from his city, even from Giloh, while he offered sacrifices. And the conspiracy was strong; for the people increased continually with Absalom.(KJV-1611) 2Sa 15:12 Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:13 ============ 2Sa 15:13 And there came a messenger to David, saying, The hearts of the men of Israel are after Absalom.(KJV-1611) 2Sa 15:13 Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:14 ============ 2Sa 15:14 And David said unto all his servants that were with him at Jerusalem, Arise, and let us flee; for we shall not else escape from Absalom: make speed to depart, lest he overtake us suddenly, and bring evil upon us, and smite the city with the edge of the sword.(KJV-1611) 2Sa 15:14 Se konsa David rele moun pa l' yo ki te avè l' lavil Jerizalèm, li di yo: -Se pou n' prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:15 ============ 2Sa 15:15 And the king's servants said unto the king, Behold, thy servants are ready to do whatsoever my lord the king shall appoint.(KJV-1611) 2Sa 15:15 Patizan wa yo reponn: -Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:16 ============ 2Sa 15:16 And the king went forth, and all his household after him. And the king left ten women, which were concubines, to keep the house.(KJV-1611) 2Sa 15:16 Wa a pran tout fanmi l', li pati apye. Li kite dis nan fanm kay li yo pou okipe palè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:17 ============ 2Sa 15:17 And the king went forth, and all the people after him, and tarried in a place that was far off.(KJV-1611) 2Sa 15:17 Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l' yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:18 ============ 2Sa 15:18 And all his servants passed on beside him; and all the Cherethites, and all the Pelethites, and all the Gittites, six hundred men which came after him from Gath, passed on before the king.(KJV-1611) 2Sa 15:18 Tout chèf li yo te kanpe bò kote l'. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:19 ============ 2Sa 15:19 Then said the king to Ittai the Gittite, Wherefore goest thou also with us? return to thy place, and abide with the king: for thou art a stranger, and also an exile.(KJV-1611) 2Sa 15:19 Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l' konsa: -Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:20 ============ 2Sa 15:20 Whereas thou camest but yesterday, should I this day make thee go up and down with us? seeing I go whither I may, return thou, and take back thy brethren: mercy and truth be with thee.(KJV-1611) 2Sa 15:20 Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m' fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen avè ou, pou l' pa janm lage ou!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:21 ============ 2Sa 15:21 And Ittai answered the king, and said, As the LORD liveth, and as my lord the king liveth, surely in what place my lord the king shall be, whether in death or life, even there also will thy servant be.(KJV-1611) 2Sa 15:21 Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:22 ============ 2Sa 15:22 And David said to Ittai, Go and pass over. And Ittai the Gittite passed over, and all his men, and all the little ones that were with him.(KJV-1611) 2Sa 15:22 Lè sa a, David di li: -Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:23 ============ 2Sa 15:23 And all the country wept with a loud voice, and all the people passed over: the king also himself passed over the brook Kidron, and all the people passed over, toward the way of the wilderness.(KJV-1611) 2Sa 15:23 Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:24 ============ 2Sa 15:24 And lo Zadok also, and all the Levites were with him, bearing the ark of the covenant of God: and they set down the ark of God; and Abiathar went up, until all the people had done passing out of the city.(KJV-1611) 2Sa 15:24 Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:25 ============ 2Sa 15:25 And the king said unto Zadok, Carry back the ark of God into the city: if I shall find favour in the eyes of the LORD, he will bring me again, and shew me both it, and his habitation:(KJV-1611) 2Sa 15:25 Apre sa, wa a di Zadòk konsa: -Pote Bwat Kontra a tounen nan lavil la. Si Seyè a pran plezi nan mwen, yon jou l'a kite m' tounen pou m' wè bwat la ansanm ak kote l' rete a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:26 ============ 2Sa 15:26 But if he thus say, I have no delight in thee; behold, here am I, let him do to me as seemeth good unto him.(KJV-1611) 2Sa 15:26 Men, si li pa kontan avè m' anko, enben, lè sa a, l'a fè sa li vle avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:27 ============ 2Sa 15:27 The king said also unto Zadok the priest, Art not thou a seer? return into the city in peace, and your two sons with you, Ahimaaz thy son, and Jonathan the son of Abiathar.(KJV-1611) 2Sa 15:27 Epi wa a di Zadòk ankò: -Gade! Ou menm ak Abyata, tounen tounen nou lavil Jerizalèm ansanm ak Akimaz, pitit gason ou lan, ak Jonatan, pitit gason Abyata a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:28 ============ 2Sa 15:28 See, I will tarry in the plain of the wilderness, until there come word from you to certify me.(KJV-1611) 2Sa 15:28 Mwen menm, mwen pral tann nou bò larivyè a nan dezè a jouk n'a voye nouvèl ban mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:29 ============ 2Sa 15:29 Zadok therefore and Abiathar carried the ark of God again to Jerusalem: and they tarried there.(KJV-1611) 2Sa 15:29 Se konsa Zadòk ak Abyata pote Bwat Kontra a tounen lavil Jerizalèm, yo rete la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:30 ============ 2Sa 15:30 And David went up by the ascent of mount Olivet, and wept as he went up, and had his head covered, and he went barefoot: and all the people that was with him covered every man his head, and they went up, weeping as they went up.(KJV-1611) 2Sa 15:30 David menm moute sou mòn Pye Oliv yo. Li t'ap kriye, li te pye atè, tèt li te kouvri, paske li te nan gwo lapenn. Tout moun ki t'ap mache deyè l' yo te gen tèt yo kouvri tou, yo t'ap kriye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:31 ============ 2Sa 15:31 And one told David, saying, Ahithophel is among the conspirators with Absalom. And David said, O LORD, I pray thee, turn the counsel of Ahithophel into foolishness.(KJV-1611) 2Sa 15:31 Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:32 ============ 2Sa 15:32 And it came to pass, that when David was come to the top of the mount, where he worshipped God, behold, Hushai the Archite came to meet him with his coat rent, and earth upon his head:(KJV-1611) 2Sa 15:32 Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l', rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:33 ============ 2Sa 15:33 Unto whom David said, If thou passest on with me, then thou shalt be a burden unto me:(KJV-1611) 2Sa 15:33 David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:34 ============ 2Sa 15:34 But if thou return to the city, and say unto Absalom, I will be thy servant, O king; as I have been thy father's servant hitherto, so will I now also be thy servant: then mayest thou for me defeat the counsel of Ahithophel.(KJV-1611) 2Sa 15:34 Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:35 ============ 2Sa 15:35 And hast thou not there with thee Zadok and Abiathar the priests? therefore it shall be, that what thing soever thou shalt hear out of the king's house, thou shalt tell it to Zadok and Abiathar the priests.(KJV-1611) 2Sa 15:35 Zadòk ak Abyata, de prèt yo, va la tou. W'a di yo tou sa w'a tande y'ap di nan palè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:36 ============ 2Sa 15:36 Behold, they have there with them their two sons, Ahimaaz Zadok's son, and Jonathan Abiathar's son; and by them ye shall send unto me every thing that ye can hear.(KJV-1611) 2Sa 15:36 Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 15:37 ============ 2Sa 15:37 So Hushai David's friend came into the city, and Absalom came into Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 15:37 Se konsa, Ouchayi, bon zanmi David la, tounen lavil Jerizalèm. Li antre nan lavil la an menm tan ak Absalon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:1 ============ 2Sa 16:1 And when David was a little past the top of the hill, behold, Ziba the servant of Mephibosheth met him, with a couple of asses saddled, and upon them two hundred loaves of bread, and an hundred bunches of raisins, and an hundred of summer fruits, and a bottle of wine.(KJV-1611) 2Sa 16:1 David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:2 ============ 2Sa 16:2 And the king said unto Ziba, What meanest thou by these? And Ziba said, The asses be for the king's household to ride on; and the bread and summer fruit for the young men to eat; and the wine, that such as be faint in the wilderness may drink.(KJV-1611) 2Sa 16:2 Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:3 ============ 2Sa 16:3 And the king said, And where is thy master's son? And Ziba said unto the king, Behold, he abideth at Jerusalem: for he said, To day shall the house of Israel restore me the kingdom of my father.(KJV-1611) 2Sa 16:3 Wa a mande l': -Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la? Ziba reponn: -Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l' la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:4 ============ 2Sa 16:4 Then said the king to Ziba, Behold, thine are all that pertained unto Mephibosheth. And Ziba said, I humbly beseech thee that I may find grace in thy sight, my lord, O king.(KJV-1611) 2Sa 16:4 Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:5 ============ 2Sa 16:5 And when king David came to Bahurim, behold, thence came out a man of the family of the house of Saul, whose name was Shimei, the son of Gera: he came forth, and cursed still as he came.(KJV-1611) 2Sa 16:5 Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:6 ============ 2Sa 16:6 And he cast stones at David, and at all the servants of king David: and all the people and all the mighty men were on his right hand and on his left.(KJV-1611) 2Sa 16:6 Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l' yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:7 ============ 2Sa 16:7 And thus said Shimei when he cursed, Come out, come out, thou bloody man, and thou man of Belial:(KJV-1611) 2Sa 16:7 Chimeyi t'ap bay David madichon, li t'ap di l': -Ale ou vouzan! Ale ou vouzan! Vakabon! Ansasen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:8 ============ 2Sa 16:8 The LORD hath returned upon thee all the blood of the house of Saul, in whose stead thou hast reigned; and the LORD hath delivered the kingdom into the hand of Absalom thy son: and, behold, thou art taken in thy mischief, because thou art a bloody man.(KJV-1611) 2Sa 16:8 Ou te pran plas wa Sayil la! Jòdi a Seyè a ap pini ou pou tout moun nan fanmi Sayil ou te sasinen yo. Seyè a renmèt gouvènman an nan men Absalon, pitit gason ou lan. Se konsa pou ou te fini, se ansasen ou ye!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:9 ============ 2Sa 16:9 Then said Abishai the son of Zeruiah unto the king, Why should this dead dog curse my lord the king? let me go over, I pray thee, and take off his head.(KJV-1611) 2Sa 16:9 Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: -Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m' janbe lòt bò a al koupe tèt li!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:10 ============ 2Sa 16:10 And the king said, What have I to do with you, ye sons of Zeruiah? so let him curse, because the LORD hath said unto him, Curse David. Who shall then say, Wherefore hast thou done so?(KJV-1611) 2Sa 16:10 Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:11 ============ 2Sa 16:11 And David said to Abishai, and to all his servants, Behold, my son, which came forth of my bowels, seeketh my life: how much more now may this Benjamite do it? let him alone, and let him curse; for the LORD hath bidden him.(KJV-1611) 2Sa 16:11 Apre sa, David pale ak Abichayi ansanm ak tout moun pa l' yo, li di yo: -Gade! Pwòp pitit gason mwen, san mwen, deyò pou l' touye m'. Ale wè pou moun sa a ki soti nan ras Benjamen yo! Kite l' ban m' madichon, si se Seyè a ki di l' ban m' madichon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:12 ============ 2Sa 16:12 It may be that the LORD will look on mine affliction, and that the LORD will requite me good for his cursing this day.(KJV-1611) 2Sa 16:12 Nou pa janm konnen, Seyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m' benediksyon nan plas madichon l'ap ban m' jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:13 ============ 2Sa 16:13 And as David and his men went by the way, Shimei went along on the hill's side over against him, and cursed as he went, and threw stones at him, and cast dust.(KJV-1611) 2Sa 16:13 Se konsa, David ale chemen l' avèk tout moun li yo. Chimeyi menm t'ap mache dèyè yo sou flan mòn lan, li t'ap ba yo madichon, li t'ap voye wòch ak pousyè tè sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:14 ============ 2Sa 16:14 And the king, and all the people that were with him, came weary, and refreshed themselves there.(KJV-1611) 2Sa 16:14 Wa a ansanm ak tout pèp la te bouke jouk yo pa t' kapab ankò lè yo rive bò larivyè Jouden. Se la yo rete pran souf.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:15 ============ 2Sa 16:15 And Absalom, and all the people the men of Israel, came to Jerusalem, and Ahithophel with him.(KJV-1611) 2Sa 16:15 Absalon antre lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo. Achitofèl te ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:16 ============ 2Sa 16:16 And it came to pass, when Hushai the Archite, David's friend, was come unto Absalom, that Hushai said unto Absalom, God save the king, God save the king.(KJV-1611) 2Sa 16:16 Lè Ouchayi, bon zanmi David la, kontre ak Absolon, li di: -Viv wa a! Viv wa a!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:17 ============ 2Sa 16:17 And Absalom said to Hushai, Is this thy kindness to thy friend? why wentest thou not with thy friend?(KJV-1611) 2Sa 16:17 Absalon di l' konsa: -Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pa t' ale ansanm avè l'?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:18 ============ 2Sa 16:18 And Hushai said unto Absalom, Nay; but whom the LORD, and this people, and all the men of Israel, choose, his will I be, and with him will I abide.(KJV-1611) 2Sa 16:18 Ouchayi reponn li: -Ki jan pou m' ta fè sa? Se pou moun Seyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l' pou m' rete.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:19 ============ 2Sa 16:19 And again, whom should I serve? should I not serve in the presence of his son? as I have served in thy father's presence, so will I be in thy presence.(KJV-1611) 2Sa 16:19 Lèfini, ki moun pou m' ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:20 ============ 2Sa 16:20 Then said Absalom to Ahithophel, Give counsel among you what we shall do.(KJV-1611) 2Sa 16:20 Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:21 ============ 2Sa 16:21 And Ahithophel said unto Absalom, Go in unto thy father's concubines, which he hath left to keep the house; and all Israel shall hear that thou art abhorred of thy father: then shall the hands of all that are with thee be strong.(KJV-1611) 2Sa 16:21 Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:22 ============ 2Sa 16:22 So they spread Absalom a tent upon the top of the house; and Absalom went in unto his father's concubines in the sight of all Israel.(KJV-1611) 2Sa 16:22 Se konsa, yo moute yon tant pou Absalon sou teras sou do palè a. Epi la, devan tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche ak fanm kay papa l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 16:23 ============ 2Sa 16:23 And the counsel of Ahithophel, which he counselled in those days, was as if a man had enquired at the oracle of God: so was all the counsel of Ahithophel both with David and with Absalom.(KJV-1611) 2Sa 16:23 Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:1 ============ 2Sa 17:1 Moreover Ahithophel said unto Absalom, Let me now choose out twelve thousand men, and I will arise and pursue after David this night:(KJV-1611) 2Sa 17:1 Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa: -Kite m' chwazi douzmil sòlda. M'ap pati aswè a menm dèyè David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:2 ============ 2Sa 17:2 And I will come upon him while he is weary and weak handed, and will make him afraid: and all the people that are with him shall flee; and I will smite the king only:(KJV-1611) 2Sa 17:2 M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l', m'ap fè l' pè. Lè sa a, tout moun ki avè l' yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:3 ============ 2Sa 17:3 And I will bring back all the people unto thee: the man whom thou seekest is as if all returned: so all the people shall be in peace.(KJV-1611) 2Sa 17:3 Lèfini, m'ap mennen tout lòt moun yo vin jwenn ou, menm jan yon madan marye tounen vin jwenn mari l'. Se yon sèl moun ou vle yo touye, pa vre. Apre sa, repo pou tout moun.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:4 ============ 2Sa 17:4 And the saying pleased Absalom well, and all the elders of Israel.(KJV-1611) 2Sa 17:4 Koze a te fè Absalon ak tout chèf moun Izrayèl yo plezi.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:5 ============ 2Sa 17:5 Then said Absalom, Call now Hushai the Archite also, and let us hear likewise what he saith.(KJV-1611) 2Sa 17:5 Absalon di konsa: -Rele Ouchayi, moun peyi Ak la. Ann tande sa li gen pou l' di nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:6 ============ 2Sa 17:6 And when Hushai was come to Absalom, Absalom spake unto him, saying, Ahithophel hath spoken after this manner: shall we do after his saying? if not; speak thou.(KJV-1611) 2Sa 17:6 Lè Ouchayi rive, Absalon di l' konsa: -Men konsèy Achitofèl ban nou. Eske se pou nou fè sa li di nou fè a? Si ou pa dakò, di nou sa pou nou fè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:7 ============ 2Sa 17:7 And Hushai said unto Absalom, The counsel that Ahithophel hath given is not good at this time.(KJV-1611) 2Sa 17:7 Ouchayi reponn li: -Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:8 ============ 2Sa 17:8 For, said Hushai, thou knowest thy father and his men, that they be mighty men, and they be chafed in their minds, as a bear robbed of her whelps in the field: and thy father is a man of war, and will not lodge with the people.(KJV-1611) 2Sa 17:8 Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:9 ============ 2Sa 17:9 Behold, he is hid now in some pit, or in some other place: and it will come to pass, when some of them be overthrown at the first, that whosoever heareth it will say, There is a slaughter among the people that follow Absalom.(KJV-1611) 2Sa 17:9 Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:10 ============ 2Sa 17:10 And he also that is valiant, whose heart is as the heart of a lion, shall utterly melt: for all Israel knoweth that thy father is a mighty man, and they which be with him are valiant men.(KJV-1611) 2Sa 17:10 Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouraj, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l' yo se brave danje.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:11 ============ 2Sa 17:11 Therefore I counsel that all Israel be generally gathered unto thee, from Dan even to Beersheba, as the sand that is by the sea for multitude; and that thou go to battle in thine own person.(KJV-1611) 2Sa 17:11 Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:12 ============ 2Sa 17:12 So shall we come upon him in some place where he shall be found, and we will light upon him as the dew falleth on the ground: and of him and of all the men that are with him there shall not be left so much as one.(KJV-1611) 2Sa 17:12 Nenpòt kote David ye, n'a tonbe sou li tankou lawouze sou fèy bwa, n'a atake l' anvan menm li konnen sa k'ap rive l'. Nou p'ap kite pesonn chape, ni li, ni yonn nan moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:13 ============ 2Sa 17:13 Moreover, if he be gotten into a city, then shall all Israel bring ropes to that city, and we will draw it into the river, until there be not one small stone found there.(KJV-1611) 2Sa 17:13 Si li al kache kò l' nan yon lavil, tout moun Izrayèl yo va pran kòd, y'a mare lavil la, y'a trennen l' al jete anba nan fon an. Yo pa t' kite yon grenn wòch sou tèt mòn kote lavil la te ye a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:14 ============ 2Sa 17:14 And Absalom and all the men of Israel said, The counsel of Hushai the Archite is better than the counsel of Ahithophel. For the LORD had appointed to defeat the good counsel of Ahithophel, to the intent that the LORD might bring evil upon Absalom.(KJV-1611) 2Sa 17:14 Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:15 ============ 2Sa 17:15 Then said Hushai unto Zadok and to Abiathar the priests, Thus and thus did Ahithophel counsel Absalom and the elders of Israel; and thus and thus have I counselled.(KJV-1611) 2Sa 17:15 Apre sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo: -Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:16 ============ 2Sa 17:16 Now therefore send quickly, and tell David, saying, Lodge not this night in the plains of the wilderness, but speedily pass over; lest the king be swallowed up, and all the people that are with him.(KJV-1611) 2Sa 17:16 Koulye a, prese voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l' al pi lwen toujou pou yo pa touye l' ansanm ak moun pa li yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:17 ============ 2Sa 17:17 Now Jonathan and Ahimaaz stayed by Enrogel; for they might not be seen to come into the city: and a wench went and told them; and they went and told king David.(KJV-1611) 2Sa 17:17 Jonatan, pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pa t' ka antre nan lavil la pou moun pa t' wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:18 ============ 2Sa 17:18 Nevertheless a lad saw them, and told Absalom: but they went both of them away quickly, and came to a man's house in Bahurim, which had a well in his court; whither they went down.(KJV-1611) 2Sa 17:18 Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:19 ============ 2Sa 17:19 And the woman took and spread a covering over the well's mouth, and spread ground corn thereon; and the thing was not known.(KJV-1611) 2Sa 17:19 Madanm nonm lan pran yon gwo dra, li kouvri bouch pi a. Lèfini, li simen grenn pile sou li, konsa pesonn pa wè sa ki anba dra a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:20 ============ 2Sa 17:20 And when Absalom's servants came to the woman to the house, they said, Where is Ahimaaz and Jonathan? And the woman said unto them, They be gone over the brook of water. And when they had sought and could not find them, they returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 17:20 Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:21 ============ 2Sa 17:21 And it came to pass, after they were departed, that they came up out of the well, and went and told king David, and said unto David, Arise, and pass quickly over the water: for thus hath Ahithophel counselled against you.(KJV-1611) 2Sa 17:21 Lè yo fin ale, Akimaz ak Jonatan soti nan pi a, y' al pote nouvèl bay wa David. Yo rakonte l' ki konsèy Achitofèl te bay Absalon. Epi yo di l': -Prese janbe lòt bò larivyè Jouden.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:22 ============ 2Sa 17:22 Then David arose, and all the people that were with him, and they passed over Jordan: by the morning light there lacked not one of them that was not gone over Jordan.(KJV-1611) 2Sa 17:22 Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gen tan lòt bò larivyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:23 ============ 2Sa 17:23 And when Ahithophel saw that his counsel was not followed, he saddled his ass, and arose, and gat him home to his house, to his city, and put his household in order, and hanged himself, and died, and was buried in the sepulchre of his father.(KJV-1611) 2Sa 17:23 Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:24 ============ 2Sa 17:24 Then David came to Mahanaim. And Absalom passed over Jordan, he and all the men of Israel with him.(KJV-1611) 2Sa 17:24 Lè Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gen tan rive lavil Manayim.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:25 ============ 2Sa 17:25 And Absalom made Amasa captain of the host instead of Joab: which Amasa was a man's son, whose name was Ithra an Israelite, that went in to Abigail the daughter of Nahash, sister to Zeruiah Joab's mother.(KJV-1611) 2Sa 17:25 Absalon te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Izmayèl. Manman l' te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:26 ============ 2Sa 17:26 So Israel and Absalom pitched in the land of Gilead.(KJV-1611) 2Sa 17:26 Absalon ak moun peyi Izrayèl yo moute tant yo nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:27 ============ 2Sa 17:27 And it came to pass, when David was come to Mahanaim, that Shobi the son of Nahash of Rabbah of the children of Ammon, and Machir the son of Ammiel of Lodebar, and Barzillai the Gileadite of Rogelim,(KJV-1611) 2Sa 17:27 Lè David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:28 ============ 2Sa 17:28 Brought beds, and basons, and earthen vessels, and wheat, and barley, and flour, and parched corn, and beans, and lentiles, and parched pulse,(KJV-1611) 2Sa 17:28 Twa mesye sa yo te pote bagay pou moun kouche, bòl, kaswòl ak manje pou David ak moun pa l' yo. Te gen ble, lòj, farin, grenn griye, ti pwa ak gwo pwa tout kalite,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 17:29 ============ 2Sa 17:29 And honey, and butter, and sheep, and cheese of kine, for David, and for the people that were with him, to eat: for they said, The people is hungry, and weary, and thirsty, in the wilderness.(KJV-1611) 2Sa 17:29 siwo myèl, bè, fwomaj lèt bèf, fwomaj lèt mouton. Yonn te di lòt: -Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:1 ============ 2Sa 18:1 And David numbered the people that were with him, and set captains of thousands, and captains of hundreds over them.(KJV-1611) 2Sa 18:1 Wa David sanble tout moun li yo. Li chwazi chèf pou chak rejiman mil sòlda ak pou chak divizyon san sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:2 ============ 2Sa 18:2 And David sent forth a third part of the people under the hand of Joab, and a third part under the hand of Abishai the son of Zeruiah, Joab's brother, and a third part under the hand of Ittai the Gittite. And the king said unto the people, I will surely go forth with you myself also.(KJV-1611) 2Sa 18:2 Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:3 ============ 2Sa 18:3 But the people answered, Thou shalt not go forth: for if we flee away, they will not care for us; neither if half of us die, will they care for us: but now thou art worth ten thousand of us: therefore now it is better that thou succour us out of the city.(KJV-1611) 2Sa 18:3 Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:4 ============ 2Sa 18:4 And the king said unto them, What seemeth you best I will do. And the king stood by the gate side, and all the people came out by hundreds and by thousands.(KJV-1611) 2Sa 18:4 W'a reponn yo: -Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, li al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap soti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:5 ============ 2Sa 18:5 And the king commanded Joab and Abishai and Ittai, saying, Deal gently for my sake with the young man, even with Absalom. And all the people heard when the king gave all the captains charge concerning Absalom.(KJV-1611) 2Sa 18:5 Wa a bay Joab, Abichayi ak Itayi lòd sa a: -Tanpri, fè sa pou mwen. Al dousman ak jennonm yo rele Absalon an tande! Tout sòlda yo te tande lè David t'ap bay chèf yo lòd sa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:6 ============ 2Sa 18:6 So the people went out into the field against Israel: and the battle was in the wood of Ephraim;(KJV-1611) 2Sa 18:6 Lame David la soti al goumen ak moun peyi Izrayèl yo. Batay la te fèt nan rakbwa Efrayim lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:7 ============ 2Sa 18:7 Where the people of Israel were slain before the servants of David, and there was there a great slaughter that day of twenty thousand men.(KJV-1611) 2Sa 18:7 Lame David la bat lame Absalon an byen bat. Jou sa a, lame Absalon an pèdi venmil sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:8 ============ 2Sa 18:8 For the battle was there scattered over the face of all the country: and the wood devoured more people that day than the sword devoured.(KJV-1611) 2Sa 18:8 Batay la gaye nan tout peyi a. Jou sa a, te gen plis moun ki mouri nan rakbwa a pase nan batay la menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:9 ============ 2Sa 18:9 And Absalom met the servants of David. And Absalom rode upon a mule, and the mule went under the thick boughs of a great oak, and his head caught hold of the oak, and he was taken up between the heaven and the earth; and the mule that was under him went away.(KJV-1611) 2Sa 18:9 Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:10 ============ 2Sa 18:10 And a certain man saw it, and told Joab, and said, Behold, I saw Absalom hanged in an oak.(KJV-1611) 2Sa 18:10 Yonn nan moun David yo wè sa, li al bay Joab nouvèl la. Li di li: -Mwen wè Absalon pandye nan yon pyebwa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:11 ============ 2Sa 18:11 And Joab said unto the man that told him, And, behold, thou sawest him, and why didst thou not smite him there to the ground? and I would have given thee ten shekels of silver, and a girdle.(KJV-1611) 2Sa 18:11 Joab di nonm lan: -Ou wè l'? Poukisa ou pa touye l' la menm? M' ta fè ou kado dis pyès an ajan ak yon sentiwon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:12 ============ 2Sa 18:12 And the man said unto Joab, Though I should receive a thousand shekels of silver in mine hand, yet would I not put forth mine hand against the king's son: for in our hearing the king charged thee and Abishai and Ittai, saying, Beware that none touch the young man Absalom.(KJV-1611) 2Sa 18:12 Men nonm lan reponn Joab: -Ou ta mèt ban mwen mil pyès an ajan la nan pla men m', mwen pa t'ap leve men m' sou pitit gason wa a. Nou tout nou te tande lòd wa a te ba ou ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: Tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:13 ============ 2Sa 18:13 Otherwise I should have wrought falsehood against mine own life: for there is no matter hid from the king, and thou thyself wouldest have set thyself against me.(KJV-1611) 2Sa 18:13 Si m' te pran pòz mwen pa t' tande anyen, epi m' te touye l', wa a t'ap toujou konn sa. Paske li toujou konn tou sa k'ap pase. Lè sa a, ou pa ta janm pran defans mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:14 ============ 2Sa 18:14 Then said Joab, I may not tarry thus with thee. And he took three darts in his hand, and thrust them through the heart of Absalom, while he was yet alive in the midst of the oak.(KJV-1611) 2Sa 18:14 Joab di li: -M'ap pèdi twòp tan la a avè ou. Li pran twa baton ak pwent yo byen fèt, li al plante yo nan kè Absalon ki te vivan toujou kote li te pandye nan pyebwa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:15 ============ 2Sa 18:15 And ten young men that bare Joab's armour compassed about and smote Absalom, and slew him.(KJV-1611) 2Sa 18:15 Apre sa, dis jenn sòlda ki t'ap pote zam Joab yo tonbe sou Absalon, yo fin touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:16 ============ 2Sa 18:16 And Joab blew the trumpet, and the people returned from pursuing after Israel: for Joab held back the people.(KJV-1611) 2Sa 18:16 Lèfini, Joab fè kònen twonpèt la pou yo sispann batay la. Se konsa sòlda David yo kite rès sòlda Izrayèl yo al fè wout yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:17 ============ 2Sa 18:17 And they took Absalom, and cast him into a great pit in the wood, and laid a very great heap of stones upon him: and all Israel fled every one to his tent.(KJV-1611) 2Sa 18:17 Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:18 ============ 2Sa 18:18 Now Absalom in his lifetime had taken and reared up for himself a pillar, which is in the king's dale: for he said, I have no son to keep my name in remembrance: and he called the pillar after his own name: and it is called unto this day, Absalom's place.(KJV-1611) 2Sa 18:18 Depi anvan l' te mouri, Absalon te fè bati yon bèl kavo pou li nan fon Wa a, paske li t'ap di li pa t' gen pitit gason pou leve non li. Jouk jòdi a yo rele kavo a moniman Absalon an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:19 ============ 2Sa 18:19 Then said Ahimaaz the son of Zadok, Let me now run, and bear the king tidings, how that the LORD hath avenged him of his enemies.(KJV-1611) 2Sa 18:19 Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:20 ============ 2Sa 18:20 And Joab said unto him, Thou shalt not bear tidings this day, but thou shalt bear tidings another day: but this day thou shalt bear no tidings, because the king's son is dead.(KJV-1611) 2Sa 18:20 Joab reponn li: -Non. Jòdi a pa gen bon nouvèl pou ou pote. Yon lòt jou va gen bon nouvèl pou ou pote. Men jòdi a, ou p'ap pote ankenn nouvèl bay wa a, paske se pitit gason wa a menm ki mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:21 ============ 2Sa 18:21 Then said Joab to Cushi, Go tell the king what thou hast seen. And Cushi bowed himself unto Joab, and ran.(KJV-1611) 2Sa 18:21 Joab rele yon sòlda, moun peyi Letiopi, li di l': -Ou menm, al rakonte wa a tou sa ou te wè ak je ou. Sòlda a bese tèt devan Joab. Lèfini, li kouri, li ale.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:22 ============ 2Sa 18:22 Then said Ahimaaz the son of Zadok yet again to Joab, But howsoever, let me, I pray thee, also run after Cushi. And Joab said, Wherefore wilt thou run, my son, seeing that thou hast no tidings ready?(KJV-1611) 2Sa 18:22 Akimaz menm t'ap kenbe se pou l' ale, li di: -Nenpòt sa ki rive m', kite m' ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letiopi a. Joab mande l': -Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:23 ============ 2Sa 18:23 But howsoever, said he, let me run. And he said unto him, Run. Then Ahimaaz ran by the way of the plain, and overran Cushi.(KJV-1611) 2Sa 18:23 Akimaz reponn: -Sa pa fè anyen. Mwen vle ale. Lè sa a, Joab di l': -Ale non! Se konsa Akimaz kouri ale, li pran wout ki pase nan plenn Jouden an, li pran devan moun peyi Letiopi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:24 ============ 2Sa 18:24 And David sat between the two gates: and the watchman went up to the roof over the gate unto the wall, and lifted up his eyes, and looked, and behold a man running alone.(KJV-1611) 2Sa 18:24 David menm te chita ant pòtay deyò a ak pòtay anndan an. Yon faksyonnè te moute sou teras anwo miray la, li te kanpe sou tèt pòtay la. Li leve je l', li wè yon nonm ki t'ap kouri vini.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:25 ============ 2Sa 18:25 And the watchman cried, and told the king. And the king said, If he be alone, there is tidings in his mouth. And he came apace, and drew near.(KJV-1611) 2Sa 18:25 Li rele pou avèti wa a. Wa a di l': -Si li pou kont li, se bon nouvèl l'ap pote. Mesaje a t'ap pwoche toujou(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:26 ============ 2Sa 18:26 And the watchman saw another man running: and the watchman called unto the porter, and said, Behold another man running alone. And the king said, He also bringeth tidings.(KJV-1611) 2Sa 18:26 lè faksyonnè a wè yon lòt moun ki t'ap kouri vini tou. Li pale ak nonm ki t'ap fè pòs bò pòtay la, li di l' konsa: -Men yon lòt moun k'ap vini pou kont li tou. Wa a reponn: -Sa a tou, se bon nouvèl l'ap pote.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:27 ============ 2Sa 18:27 And the watchman said, Me thinketh the running of the foremost is like the running of Ahimaaz the son of Zadok. And the king said, He is a good man, and cometh with good tidings.(KJV-1611) 2Sa 18:27 Faksyonnè a pran ankò: -Sou jan l'ap kouri a, gen lè premye a se Akimaz, pitit gason Zadòk la. Wa a di: -Se yon bon gason. Ou mèt sèten se bon nouvèl l'ap pote.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:28 ============ 2Sa 18:28 And Ahimaaz called, and said unto the king, All is well. And he fell down to the earth upon his face before the king, and said, Blessed be the LORD thy God, which hath delivered up the men that lifted up their hand against my lord the king.(KJV-1611) 2Sa 18:28 Akimaz pwoche, li di wa a bonjou. Lèfini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, li di: -Monwa, lwanj pou Seyè a, Bondye ou la, paske li lage tout moun ki te leve dèyè ou yo nan men ou!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:29 ============ 2Sa 18:29 And the king said, Is the young man Absalom safe? And Ahimaaz answered, When Joab sent the king's servant, and me thy servant, I saw a great tumult, but I knew not what it was.(KJV-1611) 2Sa 18:29 David mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Akimaz reponn li: -Monwa, lè Joab, moun pa wa a, te voye m' lan, mwen wè te gen yon gwo kouri. Men, m' pa konnen sa ki te genyen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:30 ============ 2Sa 18:30 And the king said unto him, Turn aside, and stand here. And he turned aside, and stood still.(KJV-1611) 2Sa 18:30 Wa a di l': -Bon. Kanpe bò la a. Tann mwen. Akimaz mete kò l' sou kote, li rete ap tann.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:31 ============ 2Sa 18:31 And, behold, Cushi came; and Cushi said, Tidings, my lord the king: for the LORD hath avenged thee this day of all them that rose up against thee.(KJV-1611) 2Sa 18:31 Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:32 ============ 2Sa 18:32 And the king said unto Cushi, Is the young man Absalom safe? And Cushi answered, The enemies of my lord the king, and all that rise against thee to do thee hurt, be as that young man is.(KJV-1611) 2Sa 18:32 Wa a mande l': -Ban m' nouvèl ti Absalon an non. Li byen? Nonm peyi Letiopi a reponn, li di l': -Se pou sa ki rive jenn gason sa a rive tout lènmi monwa yo ansanm ak tout lòt moun k'ap leve dèyè ou pou fè ou mal.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 18:33 ============ 2Sa 18:33 And the king was much moved, and went up to the chamber over the gate, and wept: and as he went, thus he said, O my son Absalom, my son, my son Absalom! would God I had died for thee, O Absalom, my son, my son!(KJV-1611) 2Sa 18:33 Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l' kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: -Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:1 ============ 2Sa 19:1 And it was told Joab, Behold, the king weepeth and mourneth for Absalom.(KJV-1611) 2Sa 19:1 Yo voye di Joab jan wa a t'ap kriye, jan li te pran lapenn pou Absalon ki mouri a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:2 ============ 2Sa 19:2 And the victory that day was turned into mourning unto all the people: for the people heard say that day how the king was grieved for his son.(KJV-1611) 2Sa 19:2 Jou sa a, sòlda David yo pa t' fè fèt pou genyen yo genyen batay la. Yo tout te kagou, paske yo te pran nouvèl jan wa a te nan gwo lapenn pou lanmò pitit li a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:3 ============ 2Sa 19:3 And the people gat them by stealth that day into the city, as people being ashamed steal away when they flee in battle.(KJV-1611) 2Sa 19:3 Yo antre nan lavil la san fè ankenn bri, tankou sòlda ki wont paske yo kouri pou lagè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:4 ============ 2Sa 19:4 But the king covered his face, and the king cried with a loud voice, O my son Absalom, O Absalom, my son, my son!(KJV-1611) 2Sa 19:4 Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: -Woy! Gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan! Absalon, pitit gason m' lan!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:5 ============ 2Sa 19:5 And Joab came into the house to the king, and said, Thou hast shamed this day the faces of all thy servants, which this day have saved thy life, and the lives of thy sons and of thy daughters, and the lives of thy wives, and the lives of thy concubines;(KJV-1611) 2Sa 19:5 Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:6 ============ 2Sa 19:6 In that thou lovest thine enemies, and hatest thy friends. For thou hast declared this day, that thou regardest neither princes nor servants: for this day I perceive, that if Absalom had lived, and all we had died this day, then it had pleased thee well.(KJV-1611) 2Sa 19:6 Ou moutre jan ou renmen moun ki rayi ou, men ou pa vle wè moun ki renmen ou. Ou fè wè jan chèf lame ak sòlda k'ap goumen pou ou yo pa di ou anyen. Jòdi a mwen wè monwa ta pi kontan si Absalon te vivan, epi nou tout nou te mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:7 ============ 2Sa 19:7 Now therefore arise, go forth, and speak comfortably unto thy servants: for I swear by the LORD, if thou go not forth, there will not tarry one with thee this night: and that will be worse unto thee than all the evil that befell thee from thy youth until now.(KJV-1611) 2Sa 19:7 Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:8 ============ 2Sa 19:8 Then the king arose, and sat in the gate. And they told unto all the people, saying, Behold, the king doth sit in the gate. And all the people came before the king: for Israel had fled every man to his tent.(KJV-1611) 2Sa 19:8 Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l'. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:9 ============ 2Sa 19:9 And all the people were at strife throughout all the tribes of Israel, saying, The king saved us out of the hand of our enemies, and he delivered us out of the hand of the Philistines; and now he is fled out of the land for Absalom.(KJV-1611) 2Sa 19:9 Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:10 ============ 2Sa 19:10 And Absalom, whom we anointed over us, is dead in battle. Now therefore why speak ye not a word of bringing the king back?(KJV-1611) 2Sa 19:10 Nou te fè /seremoni pou mete Absalon wa peyi a. Men li mouri nan lagè. Sa ki kenbe nou koulye a pou nou fè wa David tounen ankò?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:11 ============ 2Sa 19:11 And king David sent to Zadok and to Abiathar the priests, saying, Speak unto the elders of Judah, saying, Why are ye the last to bring the king back to his house? seeing the speech of all Israel is come to the king, even to his house.(KJV-1611) 2Sa 19:11 Antan wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesaj bay Zadòk ak Abyata, li di yo: -Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:12 ============ 2Sa 19:12 Ye are my brethren, ye are my bones and my flesh: wherefore then are ye the last to bring back the king?(KJV-1611) 2Sa 19:12 Di yo se fanmi m' yo ye, menm ras avè m'. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m' tounen nan palè a?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:13 ============ 2Sa 19:13 And say ye to Amasa, Art thou not of my bone, and of my flesh? God do so to me, and more also, if thou be not captain of the host before me continually in the room of Joab.(KJV-1611) 2Sa 19:13 n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:14 ============ 2Sa 19:14 And he bowed the heart of all the men of Judah, even as the heart of one man; so that they sent this word unto the king, Return thou, and all thy servants.(KJV-1611) 2Sa 19:14 Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l': -Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:15 ============ 2Sa 19:15 So the king returned, and came to Jordan. And Judah came to Gilgal, to go to meet the king, to conduct the king over Jordan.(KJV-1611) 2Sa 19:15 Wa a leve, li pran wout pou l' tounen. Li rive bò larivyè Jouden an. Tout moun peyi Jida yo, bò pa yo, kite lavil Gilgal, y' al kontre wa a. Yo ede l' janbe larivyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:16 ============ 2Sa 19:16 And Shimei the son of Gera, a Benjamite, which was of Bahurim, hasted and came down with the men of Judah to meet king David.(KJV-1611) 2Sa 19:16 Se konsa yon nonm nan branch fanmi Benjamen an, Chimeyi, pitit Gera a, moun lavil Baourim, te kouri al kontre wa David bò larivyè Jouden an ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:17 ============ 2Sa 19:17 And there were a thousand men of Benjamin with him, and Ziba the servant of the house of Saul, and his fifteen sons and his twenty servants with him; and they went over Jordan before the king.(KJV-1611) 2Sa 19:17 Te gen mil gason nan branch fanm Benjamen an avè l'. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l' yo ak vin moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:18 ============ 2Sa 19:18 And there went over a ferry boat to carry over the king's household, and to do what he thought good. And Shimei the son of Gera fell down before the king, as he was come over Jordan;(KJV-1611) 2Sa 19:18 Yo janbe larivyè a, yo ede moun wa yo janbe pas la. Yo fè tou sa wa a te mande yo fè. Lè wa a fè sa pou l' janbe tou, Chimeyi lage kò l' atè devan wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:19 ============ 2Sa 19:19 And said unto the king, Let not my lord impute iniquity unto me, neither do thou remember that which thy servant did perversely the day that my lord the king went out of Jerusalem, that the king should take it to his heart.(KJV-1611) 2Sa 19:19 Li di l' konsa: -Monwa, tanpri! Pa kenbe m' nan kè! Bliye sa m' te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m' nan kè!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:20 ============ 2Sa 19:20 For thy servant doth know that I have sinned: therefore, behold, I am come the first this day of all the house of Joseph to go down to meet my lord the king.(KJV-1611) 2Sa 19:20 Mwen konnen sa m' te fè a te mal, monwa. Ou wè jòdi a, premye moun nan tout branch fanmi Jozèf la ki kouri vin resevwa ou, se mwen menm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:21 ============ 2Sa 19:21 But Abishai the son of Zeruiah answered and said, Shall not Shimei be put to death for this, because he cursed the LORD's anointed?(KJV-1611) 2Sa 19:21 Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: -Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:22 ============ 2Sa 19:22 And David said, What have I to do with you, ye sons of Zeruiah, that ye should this day be adversaries unto me? shall there any man be put to death this day in Israel? for do not I know that I am this day king over Israel?(KJV-1611) 2Sa 19:22 Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:23 ============ 2Sa 19:23 Therefore the king said unto Shimei, Thou shalt not die. And the king sware unto him.(KJV-1611) 2Sa 19:23 Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:24 ============ 2Sa 19:24 And Mephibosheth the son of Saul came down to meet the king, and had neither dressed his feet, nor trimmed his beard, nor washed his clothes, from the day the king departed until the day he came again in peace.(KJV-1611) 2Sa 19:24 Mefibochèt, pitit pitit Sayil la, te vin kontre wa a tou. Depi jou wa David te kite lavil Jerizalèm lan jouk jou li te tounen san danje san malè a, Mefibochèt pa t' koupe bab li, ni li pa t' lave pye l', ni li pa t' lave rad sou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:25 ============ 2Sa 19:25 And it came to pass, when he was come to Jerusalem to meet the king, that the king said unto him, Wherefore wentest not thou with me, Mephibosheth?(KJV-1611) 2Sa 19:25 Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou li al resevwa wa a, wa a di l': -Mefibochèt, poukisa ou pa t' pati ansanm avè m'?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:26 ============ 2Sa 19:26 And he answered, My lord, O king, my servant deceived me: for thy servant said, I will saddle me an ass, that I may ride thereon, and go to the king; because thy servant is lame.(KJV-1611) 2Sa 19:26 Mefibochèt reponn li: -Monwa, se domestik mwen an ki woule m'. Ou konnen m' enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l' te sele fenmèl bourik mwen an pou m' te ka ale ansanm avèk monwa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:27 ============ 2Sa 19:27 And he hath slandered thy servant unto my lord the king; but my lord the king is as an angel of God: do therefore what is good in thine eyes.(KJV-1611) 2Sa 19:27 Domestik la al ba ou manti sou mwen. Men, monwa, mèt mwen, ou tankou yon zanj Bondye. Ou mèt fè sa ou vle avè m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:28 ============ 2Sa 19:28 For all of my father's house were but dead men before my lord the king: yet didst thou set thy servant among them that did eat at thine own table. What right therefore have I yet to cry any more unto the king?(KJV-1611) 2Sa 19:28 Tout moun nan fanmi Sayil, granpapa m' lan, te merite pou ou te touye yo vre. Men monwa, ou ban m' dwa pou m' manje sou menm tab avè ou. Mwen pa gen dwa mande monwa ankenn lòt favè ankò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:29 ============ 2Sa 19:29 And the king said unto him, Why speakest thou any more of thy matters? I have said, Thou and Ziba divide the land.(KJV-1611) 2Sa 19:29 Wa reponn li: -Ou pa bezwen di anyen ankò! Mwen pran desizyon m' deja. W'a antann ou ak Ziba pou nou pataje tè Sayil yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:30 ============ 2Sa 19:30 And Mephibosheth said unto the king, Yea, let him take all, forasmuch as my lord the king is come again in peace unto his own house.(KJV-1611) 2Sa 19:30 Mefibochèt di wa a: -Ziba te mèt pran tout pou li. Sa ki pi enpòtan pou mwen, se wè pou m' wè wa a tounen san danje san malè nan palè li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:31 ============ 2Sa 19:31 And Barzillai the Gileadite came down from Rogelim, and went over Jordan with the king, to conduct him over Jordan.(KJV-1611) 2Sa 19:31 Bazilayi, moun lavil Gilgal, te desann soti lavil Wogelim rive larivyè Jouden ansanm ak wa a. Li janbe lòt bò larivyè a ansanm ak wa a. Lè li fin janbe, li di wa a orevwa pou l' te tounen lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:32 ============ 2Sa 19:32 Now Barzillai was a very aged man, even fourscore years old: and he had provided the king of sustenance while he lay at Mahanaim; for he was a very great man.(KJV-1611) 2Sa 19:32 Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:33 ============ 2Sa 19:33 And the king said unto Barzillai, Come thou over with me, and I will feed thee with me in Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 19:33 Wa a di l' konsa: -Ann ale ansanm avè m' lavil Jerizalèm non. M'a pran swen ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:34 ============ 2Sa 19:34 And Barzillai said unto the king, How long have I to live, that I should go up with the king unto Jerusalem?(KJV-1611) 2Sa 19:34 Men Bazilayi reponn li: -Monwa, mwen pa rete anpil tan ankò pou m' viv. M' pa wè poukisa pou m' ale ansanm avè ou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:35 ============ 2Sa 19:35 I am this day fourscore years old: and can I discern between good and evil? can thy servant taste what I eat or what I drink? can I hear any more the voice of singing men and singing women? wherefore then should thy servant be yet a burden unto my lord the king?(KJV-1611) 2Sa 19:35 Mwen deja gen katreven lanne sou tèt mwen. Anyen pa di m' anyen ankò. M' pa pran gou ni sa m'ap manje, ni sa m'ap bwè. M' pa tande vwa gason ak fi k'ap chante yo ankò. M' pral tounen yon chay pou monwa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:36 ============ 2Sa 19:36 Thy servant will go a little way over Jordan with the king: and why should the king recompense it me with such a reward?(KJV-1611) 2Sa 19:36 Epitou, mwen pa merite tout rekonpans sa a. Se annik yon ti bout chemen m' te vle fè avè ou lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:37 ============ 2Sa 19:37 Let thy servant, I pray thee, turn back again, that I may die in mine own city, and be buried by the grave of my father and of my mother. But behold thy servant Chimham; let him go over with my lord the king; and do to him what shall seem good unto thee.(KJV-1611) 2Sa 19:37 Tanpri, kite m' tounen lakay mwen. Konsa, m'a mouri toupre tonm fanmi mwen. Men Chimkam, pitit mwen, ki va sèvi ou. Ou mèt pran l' avè ou, monwa. W'a fè sa ou wè ki pi bon pou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:38 ============ 2Sa 19:38 And the king answered, Chimham shall go over with me, and I will do to him that which shall seem good unto thee: and whatsoever thou shalt require of me, that will I do for thee.(KJV-1611) 2Sa 19:38 Wa a reponn li: -Bon. M'ap pran l' avè m'. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m', m'a fè l' pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:39 ============ 2Sa 19:39 And all the people went over Jordan. And when the king was come over, the king kissed Barzillai, and blessed him; and he returned unto his own place.(KJV-1611) 2Sa 19:39 Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:40 ============ 2Sa 19:40 Then the king went on to Gilgal, and Chimham went on with him: and all the people of Judah conducted the king, and also half the people of Israel.(KJV-1611) 2Sa 19:40 Tout moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desanm lavil Gilga. Chimkam te ale avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:41 ============ 2Sa 19:41 And, behold, all the men of Israel came to the king, and said unto the king, Why have our brethren the men of Judah stolen thee away, and have brought the king, and his household, and all David's men with him, over Jordan?(KJV-1611) 2Sa 19:41 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:42 ============ 2Sa 19:42 And all the men of Judah answered the men of Israel, Because the king is near of kin to us: wherefore then be ye angry for this matter? have we eaten at all of the king's cost? or hath he given us any gift?(KJV-1611) 2Sa 19:42 Moun Jida yo reponn: -Nou fè l' paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l', ni li pa janm fè nou kado anyen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 19:43 ============ 2Sa 19:43 And the men of Israel answered the men of Judah, and said, We have ten parts in the king, and we have also more right in David than ye: why then did ye despise us, that our advice should not be first had in bringing back our king? And the words of the men of Judah were fiercer than the words of the men of Israel.(KJV-1611) 2Sa 19:43 Lamenm, moun peyi Izrayèl yo reponn moun peyi Jida yo: -Nou gen dis fwa plis dwa pase moun Jida yo sou wa a, menm si se fanmi yo li ye. Poukisa nou menm moun Jida yo, nou meprize moun peyi Izrayèl yo konsa? Pa bliye se nou menm premye moun ki te pale koze fè wa a tounen an. Men moun peyi Jida yo pale pi fò, yo fèmen bouch moun peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:1 ============ 2Sa 20:1 And there happened to be there a man of Belial, whose name was Sheba, the son of Bichri, a Benjamite: and he blew a trumpet, and said, We have no part in David, neither have we inheritance in the son of Jesse: every man to his tents, O Israel.(KJV-1611) 2Sa 20:1 Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:2 ============ 2Sa 20:2 So every man of Israel went up from after David, and followed Sheba the son of Bichri: but the men of Judah clave unto their king, from Jordan even to Jerusalem.(KJV-1611) 2Sa 20:2 Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:3 ============ 2Sa 20:3 And David came to his house at Jerusalem; and the king took the ten women his concubines, whom he had left to keep the house, and put them in ward, and fed them, but went not in unto them. So they were shut up unto the day of their death, living in widowhood.(KJV-1611) 2Sa 20:3 Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:4 ============ 2Sa 20:4 Then said the king to Amasa, Assemble me the men of Judah within three days, and be thou here present.(KJV-1611) 2Sa 20:4 Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:5 ============ 2Sa 20:5 So Amasa went to assemble the men of Judah: but he tarried longer than the set time which he had appointed him.(KJV-1611) 2Sa 20:5 Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l' te tounen an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:6 ============ 2Sa 20:6 And David said to Abishai, Now shall Sheba the son of Bichri do us more harm than did Absalom: take thou thy lord's servants, and pursue after him, lest he get him fenced cities, and escape us.(KJV-1611) 2Sa 20:6 Wa a rele Abichayi, li di l' konsa: -Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l' anvan li gen tan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l' chape anba men nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:7 ============ 2Sa 20:7 And there went out after him Joab's men, and the Cherethites, and the Pelethites, and all the mighty men: and they went out of Jerusalem, to pursue after Sheba the son of Bichri.(KJV-1611) 2Sa 20:7 Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:8 ============ 2Sa 20:8 When they were at the great stone which is in Gibeon, Amasa went before them. And Joab's garment that he had put on was girded unto him, and upon it a girdle with a sword fastened upon his loins in the sheath thereof; and as he went forth it fell out.(KJV-1611) 2Sa 20:8 Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l'. Joab vanse devan l'. Nepe a soti nan djenn lan, li tonbe atè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:9 ============ 2Sa 20:9 And Joab said to Amasa, Art thou in health, my brother? And Joab took Amasa by the beard with the right hand to kiss him.(KJV-1611) 2Sa 20:9 Joab di Amasa: -Ban m' nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l' nan bab ak men dwat li pou l' bo li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:10 ============ 2Sa 20:10 But Amasa took no heed to the sword that was in Joab's hand: so he smote him therewith in the fifth rib, and shed out his bowels to the ground, and struck him not again; and he died. So Joab and Abishai his brother pursued after Sheba the son of Bichri.(KJV-1611) 2Sa 20:10 Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l' nan vant. Tout trip li soti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pa t' bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l' la, pati dèyè Cheba.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:11 ============ 2Sa 20:11 And one of Joab's men stood by him, and said, He that favoureth Joab, and he that is for David, let him go after Joab.(KJV-1611) 2Sa 20:11 Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: -Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:12 ============ 2Sa 20:12 And Amasa wallowed in blood in the midst of the highway. And when the man saw that all the people stood still, he removed Amasa out of the highway into the field, and cast a cloth upon him, when he saw that every one that came by him stood still.(KJV-1611) 2Sa 20:12 Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l' nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:13 ============ 2Sa 20:13 When he was removed out of the highway, all the people went on after Joab, to pursue after Sheba the son of Bichri.(KJV-1611) 2Sa 20:13 Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:14 ============ 2Sa 20:14 And he went through all the tribes of Israel unto Abel, and to Bethmaachah, and all the Berites: and they were gathered together, and went also after him.(KJV-1611) 2Sa 20:14 Cheba bò pa l' menm te pase nan tout peyi ki pou branch fanmi Izrayèl yo, li rive lavil Abèl-Bèt Maka. Tout moun fanmi Bikri yo te sanble dèyè l', yo swiv li nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:15 ============ 2Sa 20:15 And they came and besieged him in Abel of Bethmaachah, and they cast up a bank against the city, and it stood in the trench: and all the people that were with Joab battered the wall, to throw it down.(KJV-1611) 2Sa 20:15 Sòlda Joab yo vin rive devan Abèl-Bèt Maka. Yo sènen lavil la, yo anpile ranblè nan pye gwo miray deyò a pou yo te ka anvayi lavil la. Apre sa, yo pran fouye anba miray la pou fè l' tonbe.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:16 ============ 2Sa 20:16 Then cried a wise woman out of the city, Hear, hear; say, I pray you, unto Joab, Come near hither, that I may speak with thee.(KJV-1611) 2Sa 20:16 Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:17 ============ 2Sa 20:17 And when he was come near unto her, the woman said, Art thou Joab? And he answered, I am he. Then she said unto him, Hear the words of thine handmaid. And he answered, I do hear.(KJV-1611) 2Sa 20:17 Joab vin rive. Fanm lan mande l': -Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: -Wi, se mwen menm. Fanm lan di l': -Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: -M'ap koute ou, wi.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:18 ============ 2Sa 20:18 Then she spake, saying, They were wont to speak in old time, saying, They shall surely ask counsel at Abel: and so they ended the matter.(KJV-1611) 2Sa 20:18 Fanm lan di konsa: -Nan tan lontan yo te konn di: Depi ou bezwen konnen kichòy, desann lavil Abèl, al mande la. Se konsa moun te toujou regle zafè yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:19 ============ 2Sa 20:19 I am one of them that are peaceable and faithful in Israel: thou seekest to destroy a city and a mother in Israel: why wilt thou swallow up the inheritance of the LORD?(KJV-1611) 2Sa 20:19 Lavil nou se yonn nan lavil peyi Izrayèl yo kote ki pa gen dezòd. Lèfini, li pa janm vire do bay wa a. Poukisa w'ap chache detwi l'? Se kraze ou vle kraze sa ki pou Seyè a?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:20 ============ 2Sa 20:20 And Joab answered and said, Far be it, far be it from me, that I should swallow up or destroy.(KJV-1611) 2Sa 20:20 Joab reponn li: -Sa ou kwè a se pa sa! Se pa t' nan lide m' ni pou m' te kraze, ni pou m' te detwi lavil nou an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:21 ============ 2Sa 20:21 The matter is not so: but a man of mount Ephraim, Sheba the son of Bichri by name, hath lifted up his hand against the king, even against David: deliver him only, and I will depart from the city. And the woman said unto Joab, Behold, his head shall be thrown to thee over the wall.(KJV-1611) 2Sa 20:21 Se pa dèyè sa nou ye. Gen yon nonm yo rele Cheba, pitit gason Bikri a. Se moun mòn Efrayim li ye. Li pran lezam kont wa David. Si ou lage nonm sa a nan men m', m'ap vire do m' kite lavil la an repo. Fanm lan reponn li: -N'ap voye tèt li jete lòt bò miray la ba ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:22 ============ 2Sa 20:22 Then the woman went unto all the people in her wisdom. And they cut off the head of Sheba the son of Bichri, and cast it out to Joab. And he blew a trumpet, and they retired from the city, every man to his tent. And Joab returned to Jerusalem unto the king.(KJV-1611) 2Sa 20:22 li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:23 ============ 2Sa 20:23 Now Joab was over all the host of Israel: and Benaiah the son of Jehoiada was over the Cherethites and over the Pelethites:(KJV-1611) 2Sa 20:23 Joab te kòmandan tout lame pèp Izrayèl la. Benaja, pitit Jeyojada, te kòmandan keretyen yo ak peletyen yo, gad pèsonèl wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:24 ============ 2Sa 20:24 And Adoram was over the tribute: and Jehoshaphat the son of Ahilud was recorder:(KJV-1611) 2Sa 20:24 Adoram te reskonsab kòve yo. Jeozafa, pitit gason Aliyoud la, te reskonsab achiv wa a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:25 ============ 2Sa 20:25 And Sheva was scribe: and Zadok and Abiathar were the priests:(KJV-1611) 2Sa 20:25 Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 20:26 ============ 2Sa 20:26 And Ira also the Jairite was a chief ruler about David.(KJV-1611) 2Sa 20:26 Te gen yon nonm yo te rele Ira, moun lavil Jayi, ki te prèt wa David tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:1 ============ 2Sa 21:1 Then there was a famine in the days of David three years, year after year; and David enquired of the LORD. And the LORD answered, It is for Saul, and for his bloody house, because he slew the Gibeonites.(KJV-1611) 2Sa 21:1 Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:2 ============ 2Sa 21:2 And the king called the Gibeonites, and said unto them; (now the Gibeonites were not of the children of Israel, but of the remnant of the Amorites; and the children of Israel had sworn unto them: and Saul sought to slay them in his zeal to the children of Israel and Judah.)(KJV-1611) 2Sa 21:2 Moun lavil Gabawon yo pa t' fanmi moun Izrayèl yo. Se yon ti rès nan moun peyi Amori moun Izrayèl yo te pran angajman yo t'ap toujou pwoteje. Men, Sayil te sitèlman cho pou defann enterè moun fanmi Izrayèl ak fanmi Jida yo, li te soti pou l' te detwi yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:3 ============ 2Sa 21:3 Wherefore David said unto the Gibeonites, What shall I do for you? and wherewith shall I make the atonement, that ye may bless the inheritance of the LORD?(KJV-1611) 2Sa 21:3 Se konsa David voye chache yo, li mande yo: -Kisa m' ka fè pou nou? Ki jan pou m' repare tou sa nou sibi pou nou ka rale benediksyon sou pèp Seyè a?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:4 ============ 2Sa 21:4 And the Gibeonites said unto him, We will have no silver nor gold of Saul, nor of his house; neither for us shalt thou kill any man in Israel. And he said, What ye shall say, that will I do for you.(KJV-1611) 2Sa 21:4 Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:5 ============ 2Sa 21:5 And they answered the king, The man that consumed us, and that devised against us that we should be destroyed from remaining in any of the coasts of Israel,(KJV-1611) 2Sa 21:5 Yo reponn li: -Sayil te soti pou disparèt nou. Li te fè lide pou l' te touye nou nèt pou l' pa kite yonn nan nou vivan nan tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:6 ============ 2Sa 21:6 Let seven men of his sons be delivered unto us, and we will hang them up unto the LORD in Gibeah of Saul, whom the LORD did choose. And the king said, I will give them.(KJV-1611) 2Sa 21:6 Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:7 ============ 2Sa 21:7 But the king spared Mephibosheth, the son of Jonathan the son of Saul, because of the LORD's oath that was between them, between David and Jonathan the son of Saul.(KJV-1611) 2Sa 21:7 David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:8 ============ 2Sa 21:8 But the king took the two sons of Rizpah the daughter of Aiah, whom she bare unto Saul, Armoni and Mephibosheth; and the five sons of Michal the daughter of Saul, whom she brought up for Adriel the son of Barzillai the Meholathite:(KJV-1611) 2Sa 21:8 Men, li pran Amoni ak Mefibochèt, de pitit gason Rispa, pitit Ayi a, te fè pou Sayil, ansanm ak senk pitit gason Merab, pitit Sayil la, te fè pou Adriyèl, pitit gason Bazilayi, moun lavil Meola a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:9 ============ 2Sa 21:9 And he delivered them into the hands of the Gibeonites, and they hanged them in the hill before the LORD: and they fell all seven together, and were put to death in the days of harvest, in the first days, in the beginning of barley harvest.(KJV-1611) 2Sa 21:9 Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:10 ============ 2Sa 21:10 And Rizpah the daughter of Aiah took sackcloth, and spread it for her upon the rock, from the beginning of harvest until water dropped upon them out of heaven, and suffered neither the birds of the air to rest on them by day, nor the beasts of the field by night.(KJV-1611) 2Sa 21:10 Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:11 ============ 2Sa 21:11 And it was told David what Rizpah the daughter of Aiah, the concubine of Saul, had done.(KJV-1611) 2Sa 21:11 Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:12 ============ 2Sa 21:12 And David went and took the bones of Saul and the bones of Jonathan his son from the men of Jabeshgilead, which had stolen them from the street of Bethshan, where the Philistines had hanged them, when the Philistines had slain Saul in Gilboa:(KJV-1611) 2Sa 21:12 David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:13 ============ 2Sa 21:13 And he brought up from thence the bones of Saul and the bones of Jonathan his son; and they gathered the bones of them that were hanged.(KJV-1611) 2Sa 21:13 David pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan yo, li ranmase zosman sèt mesye yo te pann yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:14 ============ 2Sa 21:14 And the bones of Saul and Jonathan his son buried they in the country of Benjamin in Zelah, in the sepulchre of Kish his father: and they performed all that the king commanded. And after that God was intreated for the land.(KJV-1611) 2Sa 21:14 Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:15 ============ 2Sa 21:15 Moreover the Philistines had yet war again with Israel; and David went down, and his servants with him, and fought against the Philistines: and David waxed faint.(KJV-1611) 2Sa 21:15 Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:16 ============ 2Sa 21:16 And Ishbibenob, which was of the sons of the giant, the weight of whose spear weighed three hundred shekels of brass in weight, he being girded with a new sword, thought to have slain David.(KJV-1611) 2Sa 21:16 Yon potorik gason bèl wotè yo te rele Ichbibenòb, moun laras Arafa yo, fè lide pou l' touye David. Li te gen yon frenn an kwiv ki te peze sèt liv edmi konsa ak yon nepe tou nèf mare nan ren li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:17 ============ 2Sa 21:17 But Abishai the son of Zeruiah succoured him, and smote the Philistine, and killed him. Then the men of David sware unto him, saying, Thou shalt go no more out with us to battle, that thou quench not the light of Israel.(KJV-1611) 2Sa 21:17 Men, Abichayi, pitit gason Sewouja a, vin pote wa a sekou. Li atake moun Filisti a, li touye l'. Lè sa a, moun David yo fè wa a pwomèt pou li pa janm vin nan lagè avè yo ankò. Yo di l': -Ou se espwa pèp Izrayèl la. Nou pa vle pèdi ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:18 ============ 2Sa 21:18 And it came to pass after this, that there was again a battle with the Philistines at Gob: then Sibbechai the Hushathite slew Saph, which was of the sons of the giant.(KJV-1611) 2Sa 21:18 Apre sa, te gen yon lòt batay ankò avè moun Filisti yo lavil Gòb. Lè sa a, Sibekayi, moun lavil Ousa, touye Saf, yon lòt potorik gason nan ras moun Arafa yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:19 ============ 2Sa 21:19 And there was again a battle in Gob with the Philistines, where Elhanan the son of Jaareoregim, a Bethlehemite, slew the brother of Goliath the Gittite, the staff of whose spear was like a weaver's beam.(KJV-1611) 2Sa 21:19 Pandan yon lòt batay avèk moun Filisti yo ankò nan menm lavil Gòb la, Elanan, pitit gason Jari, moun lavil Betleyèm, touye Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Golyat la te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:20 ============ 2Sa 21:20 And there was yet a battle in Gath, where was a man of great stature, that had on every hand six fingers, and on every foot six toes, four and twenty in number; and he also was born to the giant.(KJV-1611) 2Sa 21:20 vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:21 ============ 2Sa 21:21 And when he defied Israel, Jonathan the son of Shimeah the brother of David slew him.(KJV-1611) 2Sa 21:21 Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 21:22 ============ 2Sa 21:22 These four were born to the giant in Gath, and fell by the hand of David, and by the hand of his servants.(KJV-1611) 2Sa 21:22 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:1 ============ 2Sa 22:1 And David spake unto the LORD the words of this song in the day that the LORD had delivered him out of the hand of all his enemies, and out of the hand of Saul:(KJV-1611) 2Sa 22:1 Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:2 ============ 2Sa 22:2 And he said, The LORD is my rock, and my fortress, and my deliverer;(KJV-1611) 2Sa 22:2 Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:3 ============ 2Sa 22:3 The God of my rock; in him will I trust: he is my shield, and the horn of my salvation, my high tower, and my refuge, my saviour; thou savest me from violence.(KJV-1611) 2Sa 22:3 Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:4 ============ 2Sa 22:4 I will call on the LORD, who is worthy to be praised: so shall I be saved from mine enemies.(KJV-1611) 2Sa 22:4 Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:5 ============ 2Sa 22:5 When the waves of death compassed me, the floods of ungodly men made me afraid;(KJV-1611) 2Sa 22:5 Lanmò te fin vlope m', mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:6 ============ 2Sa 22:6 The sorrows of hell compassed me about; the snares of death prevented me;(KJV-1611) 2Sa 22:6 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:7 ============ 2Sa 22:7 In my distress I called upon the LORD, and cried to my God: and he did hear my voice out of his temple, and my cry did enter into his ears.(KJV-1611) 2Sa 22:7 Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:8 ============ 2Sa 22:8 Then the earth shook and trembled; the foundations of heaven moved and shook, because he was wroth.(KJV-1611) 2Sa 22:8 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:9 ============ 2Sa 22:9 There went up a smoke out of his nostrils, and fire out of his mouth devoured: coals were kindled by it.(KJV-1611) 2Sa 22:9 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:10 ============ 2Sa 22:10 He bowed the heavens also, and came down; and darkness was under his feet.(KJV-1611) 2Sa 22:10 Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:11 ============ 2Sa 22:11 And he rode upon a cherub, and did fly: and he was seen upon the wings of the wind.(KJV-1611) 2Sa 22:11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:12 ============ 2Sa 22:12 And he made darkness pavilions round about him, dark waters, and thick clouds of the skies.(KJV-1611) 2Sa 22:12 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l' toupatou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:13 ============ 2Sa 22:13 Through the brightness before him were coals of fire kindled.(KJV-1611) 2Sa 22:13 Anpil chabon dife tou limen t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:14 ============ 2Sa 22:14 The LORD thundered from heaven, and the most High uttered his voice.(KJV-1611) 2Sa 22:14 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:15 ============ 2Sa 22:15 And he sent out arrows, and scattered them; lightning, and discomfited them.(KJV-1611) 2Sa 22:15 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:16 ============ 2Sa 22:16 And the channels of the sea appeared, the foundations of the world were discovered, at the rebuking of the LORD, at the blast of the breath of his nostrils.(KJV-1611) 2Sa 22:16 Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:17 ============ 2Sa 22:17 He sent from above, he took me; he drew me out of many waters;(KJV-1611) 2Sa 22:17 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan mitan gwo dlo yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:18 ============ 2Sa 22:18 He delivered me from my strong enemy, and from them that hated me: for they were too strong for me.(KJV-1611) 2Sa 22:18 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m', epi ki te pi fò pase m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:19 ============ 2Sa 22:19 They prevented me in the day of my calamity: but the LORD was my stay.(KJV-1611) 2Sa 22:19 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te kenbe m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:20 ============ 2Sa 22:20 He brought me forth also into a large place: he delivered me, because he delighted in me.(KJV-1611) 2Sa 22:20 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:21 ============ 2Sa 22:21 The LORD rewarded me according to my righteousness: according to the cleanness of my hands hath he recompensed me.(KJV-1611) 2Sa 22:21 Seyè a ban m' sa m' merite, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon paske li wè mwen inonsan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:22 ============ 2Sa 22:22 For I have kept the ways of the LORD, and have not wickedly departed from my God.(KJV-1611) 2Sa 22:22 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:23 ============ 2Sa 22:23 For all his judgments were before me: and as for his statutes, I did not depart from them.(KJV-1611) 2Sa 22:23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:24 ============ 2Sa 22:24 I was also upright before him, and have kept myself from mine iniquity.(KJV-1611) 2Sa 22:24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:25 ============ 2Sa 22:25 Therefore the LORD hath recompensed me according to my righteousness; according to my cleanness in his eye sight.(KJV-1611) 2Sa 22:25 Se konsa li ban m' sa m' merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:26 ============ 2Sa 22:26 With the merciful thou wilt shew thyself merciful, and with the upright man thou wilt shew thyself upright.(KJV-1611) 2Sa 22:26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:27 ============ 2Sa 22:27 With the pure thou wilt shew thyself pure; and with the froward thou wilt shew thyself unsavoury.(KJV-1611) 2Sa 22:27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:28 ============ 2Sa 22:28 And the afflicted people thou wilt save: but thine eyes are upon the haughty, that thou mayest bring them down.(KJV-1611) 2Sa 22:28 Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:29 ============ 2Sa 22:29 For thou art my lamp, O LORD: and the LORD will lighten my darkness.(KJV-1611) 2Sa 22:29 Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:30 ============ 2Sa 22:30 For by thee I have run through a troop: by my God have I leaped over a wall.(KJV-1611) 2Sa 22:30 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:31 ============ 2Sa 22:31 As for God, his way is perfect; the word of the LORD is tried: he is a buckler to all them that trust in him.(KJV-1611) 2Sa 22:31 Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:32 ============ 2Sa 22:32 For who is God, save the LORD? and who is a rock, save our God?(KJV-1611) 2Sa 22:32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:33 ============ 2Sa 22:33 God is my strength and power: and he maketh my way perfect.(KJV-1611) 2Sa 22:33 Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:34 ============ 2Sa 22:34 He maketh my feet like hinds' feet: and setteth me upon my high places.(KJV-1611) 2Sa 22:34 Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:35 ============ 2Sa 22:35 He teacheth my hands to war; so that a bow of steel is broken by mine arms.(KJV-1611) 2Sa 22:35 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:36 ============ 2Sa 22:36 Thou hast also given me the shield of thy salvation: and thy gentleness hath made me great.(KJV-1611) 2Sa 22:36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki sove m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:37 ============ 2Sa 22:37 Thou hast enlarged my steps under me; so that my feet did not slip.(KJV-1611) 2Sa 22:37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:38 ============ 2Sa 22:38 I have pursued mine enemies, and destroyed them; and turned not again until I had consumed them.(KJV-1611) 2Sa 22:38 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:39 ============ 2Sa 22:39 And I have consumed them, and wounded them, that they could not arise: yea, they are fallen under my feet.(KJV-1611) 2Sa 22:39 Mwen jete yo atè, m' kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:40 ============ 2Sa 22:40 For thou hast girded me with strength to battle: them that rose up against me hast thou subdued under me.(KJV-1611) 2Sa 22:40 Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:41 ============ 2Sa 22:41 Thou hast also given me the necks of mine enemies, that I might destroy them that hate me.(KJV-1611) 2Sa 22:41 Ou fè yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:42 ============ 2Sa 22:42 They looked, but there was none to save; even unto the LORD, but he answered them not.(KJV-1611) 2Sa 22:42 Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:43 ============ 2Sa 22:43 Then did I beat them as small as the dust of the earth, I did stamp them as the mire of the street, and did spread them abroad.(KJV-1611) 2Sa 22:43 Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:44 ============ 2Sa 22:44 Thou also hast delivered me from the strivings of my people, thou hast kept me to be head of the heathen: a people which I knew not shall serve me.(KJV-1611) 2Sa 22:44 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou fè m' rete chèf pou m' gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t' konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:45 ============ 2Sa 22:45 Strangers shall submit themselves unto me: as soon as they hear, they shall be obedient unto me.(KJV-1611) 2Sa 22:45 Moun lòt peyi yo ap achte figi m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi m'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:46 ============ 2Sa 22:46 Strangers shall fade away, and they shall be afraid out of their close places.(KJV-1611) 2Sa 22:46 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:47 ============ 2Sa 22:47 The LORD liveth; and blessed be my rock; and exalted be the God of the rock of my salvation.(KJV-1611) 2Sa 22:47 Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:48 ============ 2Sa 22:48 It is God that avengeth me, and that bringeth down the people under me.(KJV-1611) 2Sa 22:48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:49 ============ 2Sa 22:49 And that bringeth me forth from mine enemies: thou also hast lifted me up on high above them that rose up against me: thou hast delivered me from the violent man.(KJV-1611) 2Sa 22:49 Ou sove m' anba men lènmi m' yo. Ou wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:50 ============ 2Sa 22:50 Therefore I will give thanks unto thee, O LORD, among the heathen, and I will sing praises unto thy name.(KJV-1611) 2Sa 22:50 Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m'a chante pou fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 22:51 ============ 2Sa 22:51 He is the tower of salvation for his king: and sheweth mercy to his anointed, unto David, and to his seed for evermore.(KJV-1611) 2Sa 22:51 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:1 ============ 2Sa 23:1 Now these be the last words of David. David the son of Jesse said, and the man who was raised up on high, the anointed of the God of Jacob, and the sweet psalmist of Israel, said,(KJV-1611) 2Sa 23:1 Men dènye pawòl David yo. David, pitit gason Izayi a, te yon nonm Bondye te mete byen wo. Se li menm Bondye Jakòb la te chwazi pou wa. Li te fè bèl chante pou pèp Izrayèl la. Men sa li te di:(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:2 ============ 2Sa 23:2 The Spirit of the LORD spake by me, and his word was in my tongue.(KJV-1611) 2Sa 23:2 Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:3 ============ 2Sa 23:3 The God of Israel said, the Rock of Israel spake to me, He that ruleth over men must be just, ruling in the fear of God.(KJV-1611) 2Sa 23:3 Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m' konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:4 ============ 2Sa 23:4 And he shall be as the light of the morning, when the sun riseth, even a morning without clouds; as the tender grass springing out of the earth by clear shining after rain.(KJV-1611) 2Sa 23:4 ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten, nan yon syèl klè san yon ti nwaj ladan l'. L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:5 ============ 2Sa 23:5 Although my house be not so with God; yet he hath made with me an everlasting covenant, ordered in all things, and sure: for this is all my salvation, and all my desire, although he make it not to grow.(KJV-1611) 2Sa 23:5 Se konsa Bondye pral beni tout ras mwen, paske li te pase yon kontra avè m' pou tout tan, yon kontra ki p'ap janm kase, yon pwomès ki p'ap janm chanje. Nan tout sikonstans l'ap fè m' genyen. L'ap ban mwen tou sa mwen vle.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:6 ============ 2Sa 23:6 But the sons of Belial shall be all of them as thorns thrust away, because they cannot be taken with hands:(KJV-1611) 2Sa 23:6 Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pesonn p'ap manyen yo ak men.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:7 ============ 2Sa 23:7 But the man that shall touch them must be fenced with iron and the staff of a spear; and they shall be utterly burned with fire in the same place.(KJV-1611) 2Sa 23:7 Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn. Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:8 ============ 2Sa 23:8 These be the names of the mighty men whom David had: The Tachmonite that sat in the seat, chief among the captains; the same was Adino the Eznite: he lift up his spear against eight hundred, whom he slew at one time.(KJV-1611) 2Sa 23:8 Men non vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan moun. Li touye tout yon sèl kou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:9 ============ 2Sa 23:9 And after him was Eleazar the son of Dodo the Ahohite, one of the three mighty men with David, when they defied the Philistines that were there gathered together to battle, and the men of Israel were gone away:(KJV-1611) 2Sa 23:9 Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y' al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:10 ============ 2Sa 23:10 He arose, and smote the Philistines until his hand was weary, and his hand clave unto the sword: and the LORD wrought a great victory that day; and the people returned after him only to spoil.(KJV-1611) 2Sa 23:10 Men, li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l'. Li pa t' ka louvri men l' pou l' lage nepe a. Jou sa a, Seyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:11 ============ 2Sa 23:11 And after him was Shammah the son of Agee the Hararite. And the Philistines were gathered together into a troop, where was a piece of ground full of lentiles: and the people fled from the Philistines.(KJV-1611) 2Sa 23:11 Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:12 ============ 2Sa 23:12 But he stood in the midst of the ground, and defended it, and slew the Philistines: and the LORD wrought a great victory.(KJV-1611) 2Sa 23:12 Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Seyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:13 ============ 2Sa 23:13 And three of the thirty chief went down, and came to David in the harvest time unto the cave of Adullam: and the troop of the Philistines pitched in the valley of Rephaim.(KJV-1611) 2Sa 23:13 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:14 ============ 2Sa 23:14 And David was then in an hold, and the garrison of the Philistines was then in Bethlehem.(KJV-1611) 2Sa 23:14 Lè sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:15 ============ 2Sa 23:15 And David longed, and said, Oh that one would give me drink of the water of the well of Bethlehem, which is by the gate!(KJV-1611) 2Sa 23:15 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:16 ============ 2Sa 23:16 And the three mighty men brake through the host of the Philistines, and drew water out of the well of Bethlehem, that was by the gate, and took it, and brought it to David: nevertheless he would not drink thereof, but poured it out unto the LORD.(KJV-1611) 2Sa 23:16 Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:17 ============ 2Sa 23:17 And he said, Be it far from me, O LORD, that I should do this: is not this the blood of the men that went in jeopardy of their lives? therefore he would not drink it. These things did these three mighty men.(KJV-1611) 2Sa 23:17 Li di konsa: Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l'. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:18 ============ 2Sa 23:18 And Abishai, the brother of Joab, the son of Zeruiah, was chief among three. And he lifted up his spear against three hundred, and slew them, and had the name among three.(KJV-1611) 2Sa 23:18 Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:19 ============ 2Sa 23:19 Was he not most honourable of three? therefore he was their captain: howbeit he attained not unto the first three.(KJV-1611) 2Sa 23:19 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:20 ============ 2Sa 23:20 And Benaiah the son of Jehoiada, the son of a valiant man, of Kabzeel, who had done many acts, he slew two lionlike men of Moab: he went down also and slew a lion in the midst of a pit in time of snow:(KJV-1611) 2Sa 23:20 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:21 ============ 2Sa 23:21 And he slew an Egyptian, a goodly man: and the Egyptian had a spear in his hand; but he went down to him with a staff, and plucked the spear out of the Egyptian's hand, and slew him with his own spear.(KJV-1611) 2Sa 23:21 Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l'. Li menm, li atake l' ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l' avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:22 ============ 2Sa 23:22 These things did Benaiah the son of Jehoiada, and had the name among three mighty men.(KJV-1611) 2Sa 23:22 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:23 ============ 2Sa 23:23 He was more honourable than the thirty, but he attained not to the first three. And David set him over his guard.(KJV-1611) 2Sa 23:23 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' chèf gad kò li.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:24 ============ 2Sa 23:24 Asahel the brother of Joab was one of the thirty; Elhanan the son of Dodo of Bethlehem,(KJV-1611) 2Sa 23:24 Nan gwoup Trant lan te gen ankò: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:25 ============ 2Sa 23:25 Shammah the Harodite, Elika the Harodite,(KJV-1611) 2Sa 23:25 Chama ak Elika, moun lavil Awòd,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:26 ============ 2Sa 23:26 Helez the Paltite, Ira the son of Ikkesh the Tekoite,(KJV-1611) 2Sa 23:26 Elèz, moun lavil Pelèt, Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:27 ============ 2Sa 23:27 Abiezer the Anethothite, Mebunnai the Hushathite,(KJV-1611) 2Sa 23:27 Abyezè, moun lavil Anatòt, Mebounayi, moun lavil Oucha,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:28 ============ 2Sa 23:28 Zalmon the Ahohite, Maharai the Netophathite,(KJV-1611) 2Sa 23:28 Salmon, moun lavil Awoya, Marayi, moun lavil Netofa,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:29 ============ 2Sa 23:29 Heleb the son of Baanah, a Netophathite, Ittai the son of Ribai out of Gibeah of the children of Benjamin,(KJV-1611) 2Sa 23:29 Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:30 ============ 2Sa 23:30 Benaiah the Pirathonite, Hiddai of the brooks of Gaash,(KJV-1611) 2Sa 23:30 Benaja, moun lavil Piraton, Idayi, moun ravin Gach yo,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:31 ============ 2Sa 23:31 Abialbon the Arbathite, Azmaveth the Barhumite,(KJV-1611) 2Sa 23:31 Abyalbon, moun lavil Araba, Azmavèt, moun lavil Baawoun,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:32 ============ 2Sa 23:32 Eliahba the Shaalbonite, of the sons of Jashen, Jonathan,(KJV-1611) 2Sa 23:32 Elyaba, moun lavil Chalbon, pitit gason Joachenn yo, Jonatan,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:33 ============ 2Sa 23:33 Shammah the Hararite, Ahiam the son of Sharar the Hararite,(KJV-1611) 2Sa 23:33 Chama, moun lavil Ara, Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:34 ============ 2Sa 23:34 Eliphelet the son of Ahasbai, the son of the Maachathite, Eliam the son of Ahithophel the Gilonite,(KJV-1611) 2Sa 23:34 Elifelèt, pitit gason Asbayi, moun lavil Maka, Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:35 ============ 2Sa 23:35 Hezrai the Carmelite, Paarai the Arbite,(KJV-1611) 2Sa 23:35 Ezarayi, moun lavil Kamèl, Parayi, moun lavil Arab,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:36 ============ 2Sa 23:36 Igal the son of Nathan of Zobah, Bani the Gadite,(KJV-1611) 2Sa 23:36 Igal, pitit gason Natan, moun lavil Zoba, Bani, moun lavil Gad,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:37 ============ 2Sa 23:37 Zelek the Ammonite, Nahari the Beerothite, armourbearer to Joab the son of Zeruiah,(KJV-1611) 2Sa 23:37 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:38 ============ 2Sa 23:38 Ira an Ithrite, Gareb an Ithrite,(KJV-1611) 2Sa 23:38 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 23:39 ============ 2Sa 23:39 Uriah the Hittite: thirty and seven in all.(KJV-1611) 2Sa 23:39 Ouri, moun lavil Et la. Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:1 ============ 2Sa 24:1 And again the anger of the LORD was kindled against Israel, and he moved David against them to say, Go, number Israel and Judah.(KJV-1611) 2Sa 24:1 Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:2 ============ 2Sa 24:2 For the king said to Joab the captain of the host, which was with him, Go now through all the tribes of Israel, from Dan even to Beersheba, and number ye the people, that I may know the number of the people.(KJV-1611) 2Sa 24:2 Wa a pale ak Joab, kòmandman an chèf lame a, ki te la avè l', li di l' konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bètcheba nan sid. Konte mezi moun ki nan pèp la. Mwen vle konnen konbe moun ki gen nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:3 ============ 2Sa 24:3 And Joab said unto the king, Now the LORD thy God add unto the people, how many soever they be, an hundredfold, and that the eyes of my lord the king may see it: but why doth my lord the king delight in this thing?(KJV-1611) 2Sa 24:3 Men, Joab di wa a: -Monwa, mwen mande Seyè a, Bondye ou la, pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a, lèfini pou monwa ka viv lontan pou wè sa! Men, poukisa, monwa, ou vle konte konbe moun ki nan peyi a?(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:4 ============ 2Sa 24:4 Notwithstanding the king's word prevailed against Joab, and against the captains of the host. And Joab and the captains of the host went out from the presence of the king, to number the people of Israel.(KJV-1611) 2Sa 24:4 Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo soti devan wa a, yo pati, y' al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:5 ============ 2Sa 24:5 And they passed over Jordan, and pitched in Aroer, on the right side of the city that lieth in the midst of the river of Gad, and toward Jazer:(KJV-1611) 2Sa 24:5 Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:6 ============ 2Sa 24:6 Then they came to Gilead, and to the land of Tahtimhodshi; and they came to Danjaan, and about to Zidon,(KJV-1611) 2Sa 24:6 Y' al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y' ale lavil Sidon sou bò lwès.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:7 ============ 2Sa 24:7 And came to the strong hold of Tyre, and to all the cities of the Hivites, and of the Canaanites: and they went out to the south of Judah, even to Beersheba.(KJV-1611) 2Sa 24:7 Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:8 ============ 2Sa 24:8 So when they had gone through all the land, they came to Jerusalem at the end of nine months and twenty days.(KJV-1611) 2Sa 24:8 Se konsa yo mache nan tout peyi a. Apre nèf mwa ven jou, yo tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:9 ============ 2Sa 24:9 And Joab gave up the sum of the number of the people unto the king: and there were in Israel eight hundred thousand valiant men that drew the sword; and the men of Judah were five hundred thousand men.(KJV-1611) 2Sa 24:9 Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun antou ki te gen nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn witsanmil nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:10 ============ 2Sa 24:10 And David's heart smote him after that he had numbered the people. And David said unto the LORD, I have sinned greatly in that I have done: and now, I beseech thee, O LORD, take away the iniquity of thy servant; for I have done very foolishly.(KJV-1611) 2Sa 24:10 Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:11 ============ 2Sa 24:11 For when David was up in the morning, the word of the LORD came unto the prophet Gad, David's seer, saying,(KJV-1611) 2Sa 24:11 Nan denmen maten, antan David ap leve sot nan kabann li,(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:12 ============ 2Sa 24:12 Go and say unto David, Thus saith the LORD, I offer thee three things; choose thee one of them, that I may do it unto thee.(KJV-1611) 2Sa 24:12 Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: -Al di David mwen ba li twa chatiman pou li menm li chwazi yonn ladan yo. Sa l'a chwazi a se sa m'a fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:13 ============ 2Sa 24:13 So Gad came to David, and told him, and said unto him, Shall seven years of famine come unto thee in thy land? or wilt thou flee three months before thine enemies, while they pursue thee? or that there be three days' pestilence in thy land? now advise, and see what answer I shall return to him that sent me.(KJV-1611) 2Sa 24:13 Gad vin jwenn li lakay li. Li fè l' konnen mesaj Seyè a te ba li a. Li di l' konsa: -Kisa ou vle? Sèt lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi ou, osinon twa jou epidemi nan tout peyi a. Al kalkile sou sa pou ou fè m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:14 ============ 2Sa 24:14 And David said unto Gad, I am in a great strait: let us fall now into the hand of the LORD; for his mercies are great: and let me not fall into the hand of man.(KJV-1611) 2Sa 24:14 David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:15 ============ 2Sa 24:15 So the LORD sent a pestilence upon Israel from the morning even to the time appointed: and there died of the people from Dan even to Beersheba seventy thousand men.(KJV-1611) 2Sa 24:15 Se konsa Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la, li konmanse menm jou maten sa a pou twa jou, jan l' te di a. Depi lavil Dann nan nò rive lavil Bètcheba nan sid peyi a, swasanndimil moun nan pèp Izrayèl la mouri.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:16 ============ 2Sa 24:16 And when the angel stretched out his hand upon Jerusalem to destroy it, the LORD repented him of the evil, and said to the angel that destroyed the people, It is enough: stay now thine hand. And the angel of the LORD was by the threshingplace of Araunah the Jebusite.(KJV-1611) 2Sa 24:16 Lè zanj Seyè a te prèt pou lonje men l' sou lavil Jerizalèm pou detwi l', Seyè a fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre gwo glasi Araounak, moun lavil Jebis la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:17 ============ 2Sa 24:17 And David spake unto the LORD when he saw the angel that smote the people, and said, Lo, I have sinned, and I have done wickedly: but these sheep, what have they done? let thine hand, I pray thee, be against me, and against my father's house.(KJV-1611) 2Sa 24:17 David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:18 ============ 2Sa 24:18 And Gad came that day to David, and said unto him, Go up, rear an altar unto the LORD in the threshingfloor of Araunah the Jebusite.(KJV-1611) 2Sa 24:18 Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l' konsa: -Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan gwo glasi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:19 ============ 2Sa 24:19 And David, according to the saying of Gad, went up as the LORD commanded.(KJV-1611) 2Sa 24:19 David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Araounak jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:20 ============ 2Sa 24:20 And Araunah looked, and saw the king and his servants coming on toward him: and Araunah went out, and bowed himself before the king on his face upon the ground.(KJV-1611) 2Sa 24:20 Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:21 ============ 2Sa 24:21 And Araunah said, Wherefore is my lord the king come to his servant? And David said, To buy the threshingfloor of thee, to build an altar unto the LORD, that the plague may be stayed from the people.(KJV-1611) 2Sa 24:21 Li di l' konsa: -Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: -Mwen vin achte anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:22 ============ 2Sa 24:22 And Araunah said unto David, Let my lord the king take and offer up what seemeth good unto him: behold, here be oxen for burnt sacrifice, and threshing instruments and other instruments of the oxen for wood.(KJV-1611) 2Sa 24:22 Araounak di l' konsa: -Monwa, ou mèt pran l'. Ofri Seyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:23 ============ 2Sa 24:23 All these things did Araunah, as a king, give unto the king. And Araunah said unto the king, The LORD thy God accept thee.(KJV-1611) 2Sa 24:23 Araounak bay wa a tout bagay sa yo. Lèfini, li di: -Mwen mande Bondye pou l' asepte ofrann ou an!(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:24 ============ 2Sa 24:24 And the king said unto Araunah, Nay; but I will surely buy it of thee at a price: neither will I offer burnt offerings unto the LORD my God of that which doth cost me nothing. So David bought the threshingfloor and the oxen for fifty shekels of silver.(KJV-1611) 2Sa 24:24 Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.(Creole-HT) ======= 2 Samuel 24:25 ============ 2Sa 24:25 And David built there an altar unto the LORD, and offered burnt offerings and peace offerings. So the LORD was intreated for the land, and the plague was stayed from Israel.(KJV-1611) 2Sa 24:25 Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann pou boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Seyè a tande lapriyè yo pou peyi a. Epidemi an sispann nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:1 ============ 1Ki 1:1 Now king David was old and stricken in years; and they covered him with clothes, but he gat no heat.(KJV-1611) 1Ki 1:1 David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l' byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:2 ============ 1Ki 1:2 Wherefore his servants said unto him, Let there be sought for my lord the king a young virgin: and let her stand before the king, and let her cherish him, and let her lie in thy bosom, that my lord the king may get heat.(KJV-1611) 1Ki 1:2 Lè sa a, moun pa l' yo di l': -Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:3 ============ 1Ki 1:3 So they sought for a fair damsel throughout all the coasts of Israel, and found Abishag a Shunammite, and brought her to the king.(KJV-1611) 1Ki 1:3 Yo mete chache yon bèl jenn fi nan tout peyi Izrayèl la. Yo jwenn yon jenn fi nan ti bouk Chounam lan. Li te rele Abichag. Yo mennen l' bay wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:4 ============ 1Ki 1:4 And the damsel was very fair, and cherished the king, and ministered to him: but the king knew her not.(KJV-1611) 1Ki 1:4 Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l'. Men, wa a pa janm kouche avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:5 ============ 1Ki 1:5 Then Adonijah the son of Haggith exalted himself, saying, I will be king: and he prepared him chariots and horsemen, and fifty men to run before him.(KJV-1611) 1Ki 1:5 Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:6 ============ 1Ki 1:6 And his father had not displeased him at any time in saying, Why hast thou done so? and he also was a very goodly man; and his mother bare him after Absalom.(KJV-1611) 1Ki 1:6 Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:7 ============ 1Ki 1:7 And he conferred with Joab the son of Zeruiah, and with Abiathar the priest: and they following Adonijah helped him.(KJV-1611) 1Ki 1:7 Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:8 ============ 1Ki 1:8 But Zadok the priest, and Benaiah the son of Jehoiada, and Nathan the prophet, and Shimei, and Rei, and the mighty men which belonged to David, were not with Adonijah.(KJV-1611) 1Ki 1:8 Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:9 ============ 1Ki 1:9 And Adonijah slew sheep and oxen and fat cattle by the stone of Zoheleth, which is by Enrogel, and called all his brethren the king's sons, and all the men of Judah the king's servants:(KJV-1611) 1Ki 1:9 Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:10 ============ 1Ki 1:10 But Nathan the prophet, and Benaiah, and the mighty men, and Solomon his brother, he called not.(KJV-1611) 1Ki 1:10 Men, li pa t' envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:11 ============ 1Ki 1:11 Wherefore Nathan spake unto Bathsheba the mother of Solomon, saying, Hast thou not heard that Adonijah the son of Haggith doth reign, and David our lord knoweth it not?(KJV-1611) 1Ki 1:11 Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:12 ============ 1Ki 1:12 Now therefore come, let me, I pray thee, give thee counsel, that thou mayest save thine own life, and the life of thy son Solomon.(KJV-1611) 1Ki 1:12 Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:13 ============ 1Ki 1:13 Go and get thee in unto king David, and say unto him, Didst not thou, my lord, O king, swear unto thine handmaid, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne? why then doth Adonijah reign?(KJV-1611) 1Ki 1:13 Ou prale jwenn wa a, w'ap di l' konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m' sèman se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a?(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:14 ============ 1Ki 1:14 Behold, while thou yet talkest there with the king, I also will come in after thee, and confirm thy words.(KJV-1611) 1Ki 1:14 Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:15 ============ 1Ki 1:15 And Bathsheba went in unto the king into the chamber: and the king was very old; and Abishag the Shunammite ministered unto the king.(KJV-1611) 1Ki 1:15 Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t'ap pran swen li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:16 ============ 1Ki 1:16 And Bathsheba bowed, and did obeisance unto the king. And the king said, What wouldest thou?(KJV-1611) 1Ki 1:16 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l': -Kisa ou vle?(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:17 ============ 1Ki 1:17 And she said unto him, My lord, thou swarest by the LORD thy God unto thine handmaid, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne.(KJV-1611) 1Ki 1:17 Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:18 ============ 1Ki 1:18 And now, behold, Adonijah reigneth; and now, my lord the king, thou knowest it not:(KJV-1611) 1Ki 1:18 Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:19 ============ 1Ki 1:19 And he hath slain oxen and fat cattle and sheep in abundance, and hath called all the sons of the king, and Abiathar the priest, and Joab the captain of the host: but Solomon thy servant hath he not called.(KJV-1611) 1Ki 1:19 Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:20 ============ 1Ki 1:20 And thou, my lord, O king, the eyes of all Israel are upon thee, that thou shouldest tell them who shall sit on the throne of my lord the king after him.(KJV-1611) 1Ki 1:20 Koulye a, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fotèy la apre ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:21 ============ 1Ki 1:21 Otherwise it shall come to pass, when my lord the king shall sleep with his fathers, that I and my son Solomon shall be counted offenders.(KJV-1611) 1Ki 1:21 Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:22 ============ 1Ki 1:22 And, lo, while she yet talked with the king, Nathan the prophet also came in.(KJV-1611) 1Ki 1:22 Batcheba pa t' ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:23 ============ 1Ki 1:23 And they told the king, saying, Behold Nathan the prophet. And when he was come in before the king, he bowed himself before the king with his face to the ground.(KJV-1611) 1Ki 1:23 Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:24 ============ 1Ki 1:24 And Nathan said, My lord, O king, hast thou said, Adonijah shall reign after me, and he shall sit upon my throne?(KJV-1611) 1Ki 1:24 Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou?(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:25 ============ 1Ki 1:25 For he is gone down this day, and hath slain oxen and fat cattle and sheep in abundance, and hath called all the king's sons, and the captains of the host, and Abiathar the priest; and, behold, they eat and drink before him, and say, God save king Adonijah.(KJV-1611) 1Ki 1:25 Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:26 ============ 1Ki 1:26 But me, even me thy servant, and Zadok the priest, and Benaiah the son of Jehoiada, and thy servant Solomon, hath he not called.(KJV-1611) 1Ki 1:26 Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:27 ============ 1Ki 1:27 Is this thing done by my lord the king, and thou hast not shewed it unto thy servant, who should sit on the throne of my lord the king after him?(KJV-1611) 1Ki 1:27 Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k'ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fotèy la nan plas ou?(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:28 ============ 1Ki 1:28 Then king David answered and said, Call me Bathsheba. And she came into the king's presence, and stood before the king.(KJV-1611) 1Ki 1:28 Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:29 ============ 1Ki 1:29 And the king sware, and said, As the LORD liveth, that hath redeemed my soul out of all distress,(KJV-1611) 1Ki 1:29 Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:30 ============ 1Ki 1:30 Even as I sware unto thee by the LORD God of Israel, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne in my stead; even so will I certainly do this day.(KJV-1611) 1Ki 1:30 Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:31 ============ 1Ki 1:31 Then Bathsheba bowed with her face to the earth, and did reverence to the king, and said, Let my lord king David live for ever.(KJV-1611) 1Ki 1:31 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:32 ============ 1Ki 1:32 And king David said, Call me Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada. And they came before the king.(KJV-1611) 1Ki 1:32 Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:33 ============ 1Ki 1:33 The king also said unto them, Take with you the servants of your lord, and cause Solomon my son to ride upon mine own mule, and bring him down to Gihon:(KJV-1611) 1Ki 1:33 wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m' yo. Fè Salomon, pitit gason m' lan, moute sou milèt pa m' lan. Nou tout va desann avè l' bò sous Giyon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:34 ============ 1Ki 1:34 And let Zadok the priest and Nathan the prophet anoint him there king over Israel: and blow ye with the trumpet, and say, God save king Solomon.(KJV-1611) 1Ki 1:34 Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:35 ============ 1Ki 1:35 Then ye shall come up after him, that he may come and sit upon my throne; for he shall be king in my stead: and I have appointed him to be ruler over Israel and over Judah.(KJV-1611) 1Ki 1:35 Lèfini, n'a pran mache dèyè l', n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:36 ============ 1Ki 1:36 And Benaiah the son of Jehoiada answered the king, and said, Amen: the LORD God of my lord the king say so too.(KJV-1611) 1Ki 1:36 Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:37 ============ 1Ki 1:37 As the LORD hath been with my lord the king, even so be he with Solomon, and make his throne greater than the throne of my lord king David.(KJV-1611) 1Ki 1:37 Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:38 ============ 1Ki 1:38 So Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada, and the Cherethites, and the Pelethites, went down, and caused Solomon to ride upon king David's mule, and brought him to Gihon.(KJV-1611) 1Ki 1:38 Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:39 ============ 1Ki 1:39 And Zadok the priest took an horn of oil out of the tabernacle, and anointed Solomon. And they blew the trumpet; and all the people said, God save king Solomon.(KJV-1611) 1Ki 1:39 Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:40 ============ 1Ki 1:40 And all the people came up after him, and the people piped with pipes, and rejoiced with great joy, so that the earth rent with the sound of them.(KJV-1611) 1Ki 1:40 Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:41 ============ 1Ki 1:41 And Adonijah and all the guests that were with him heard it as they had made an end of eating. And when Joab heard the sound of the trumpet, he said, Wherefore is this noise of the city being in an uproar?(KJV-1611) 1Ki 1:41 Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:42 ============ 1Ki 1:42 And while he yet spake, behold, Jonathan the son of Abiathar the priest came; and Adonijah said unto him, Come in; for thou art a valiant man, and bringest good tidings.(KJV-1611) 1Ki 1:42 Li pa t' ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l' konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote!(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:43 ============ 1Ki 1:43 And Jonathan answered and said to Adonijah, Verily our lord king David hath made Solomon king.(KJV-1611) 1Ki 1:43 Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:44 ============ 1Ki 1:44 And the king hath sent with him Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada, and the Cherethites, and the Pelethites, and they have caused him to ride upon the king's mule:(KJV-1611) 1Ki 1:44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:45 ============ 1Ki 1:45 And Zadok the priest and Nathan the prophet have anointed him king in Gihon: and they are come up from thence rejoicing, so that the city rang again. This is the noise that ye have heard.(KJV-1611) 1Ki 1:45 Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:46 ============ 1Ki 1:46 And also Solomon sitteth on the throne of the kingdom.(KJV-1611) 1Ki 1:46 Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:47 ============ 1Ki 1:47 And moreover the king's servants came to bless our lord king David, saying, God make the name of Solomon better than thy name, and make his throne greater than thy throne. And the king bowed himself upon the bed.(KJV-1611) 1Ki 1:47 Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:48 ============ 1Ki 1:48 And also thus said the king, Blessed be the LORD God of Israel, which hath given one to sit on my throne this day, mine eyes even seeing it.(KJV-1611) 1Ki 1:48 Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:49 ============ 1Ki 1:49 And all the guests that were with Adonijah were afraid, and rose up, and went every man his way.(KJV-1611) 1Ki 1:49 Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y' al fè wout yo, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:50 ============ 1Ki 1:50 And Adonijah feared because of Solomon, and arose, and went, and caught hold on the horns of the altar.(KJV-1611) 1Ki 1:50 Adonija menm bò pa l' te sitèlman pè pou Salomon pa touye l', li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:51 ============ 1Ki 1:51 And it was told Solomon, saying, Behold, Adonijah feareth king Solomon: for, lo, he hath caught hold on the horns of the altar, saying, Let king Solomon swear unto me today that he will not slay his servant with the sword.(KJV-1611) 1Ki 1:51 Y' al di wa Salomon: -Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l', l' al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l' sèman jòdi a menm li p'ap fè yo touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:52 ============ 1Ki 1:52 And Solomon said, If he will shew himself a worthy man, there shall not an hair of him fall to the earth: but if wickedness shall be found in him, he shall die.(KJV-1611) 1Ki 1:52 Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t' dwe fè, l'ap mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 1:53 ============ 1Ki 1:53 So king Solomon sent, and they brought him down from the altar. And he came and bowed himself to king Solomon: and Solomon said unto him, Go to thine house.(KJV-1611) 1Ki 1:53 Salomon voye chache Adonija soti bò lotèl la. Yo fè l' desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l' konsa: -Ou mèt al lakay ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:1 ============ 1Ki 2:1 Now the days of David drew nigh that he should die; and he charged Solomon his son, saying,(KJV-1611) 1Ki 2:1 Lè David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l' lan, li ba li dènye volonte l'. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:2 ============ 1Ki 2:2 I go the way of all the earth: be thou strong therefore, and shew thyself a man;(KJV-1611) 1Ki 2:2 -Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:3 ============ 1Ki 2:3 And keep the charge of the LORD thy God, to walk in his ways, to keep his statutes, and his commandments, and his judgments, and his testimonies, as it is written in the law of Moses, that thou mayest prosper in all that thou doest, and whithersoever thou turnest thyself:(KJV-1611) 1Ki 2:3 Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:4 ============ 1Ki 2:4 That the LORD may continue his word which he spake concerning me, saying, If thy children take heed to their way, to walk before me in truth with all their heart and with all their soul, there shall not fail thee (said he) a man on the throne of Israel.(KJV-1611) 1Ki 2:4 Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:5 ============ 1Ki 2:5 Moreover thou knowest also what Joab the son of Zeruiah did to me, and what he did to the two captains of the hosts of Israel, unto Abner the son of Ner, and unto Amasa the son of Jether, whom he slew, and shed the blood of war in peace, and put the blood of war upon his girdle that was about his loins, and in his shoes that were on his feet.(KJV-1611) 1Ki 2:5 Koulye a, ou konnen sa Joab, pitit gason Sewouya a, te fè m' lè li te touye de jeneral lame pèp Izrayèl la: Abnè, pitit gason Nè a, ak Amasa, pitit gason Jetè a. Ou chonje jan lè sa a pa t' gen lagè. Li touye yo pou l' te ka tire revanj pou moun mesye sa yo te touye pandan lagè. Li touye de inonsan, kifè jouk jounen jòdi a m'ap pote chaj la pou li, m'ap peye konsekans sa li te fè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:6 ============ 1Ki 2:6 Do therefore according to thy wisdom, and let not his hoar head go down to the grave in peace.(KJV-1611) 1Ki 2:6 Ou konnen sa ou gen pou fè. Pa kite se vyeyès ki touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:7 ============ 1Ki 2:7 But shew kindness unto the sons of Barzillai the Gileadite, and let them be of those that eat at thy table: for so they came to me when I fled because of Absalom thy brother.(KJV-1611) 1Ki 2:7 W'a aji byen ak pitit gason Bazilayi yo, moun lavil Galarad la. y'a manje sou tab avè ou, paske yo te aji byen avè m' lè mwen t'ap kouri pou Absalon, frè ou la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:8 ============ 1Ki 2:8 And, behold, thou hast with thee Shimei the son of Gera, a Benjamite of Bahurim, which cursed me with a grievous curse in the day when I went to Mahanaim: but he came down to meet me at Jordan, and I sware to him by the LORD, saying, I will not put thee to death with the sword.(KJV-1611) 1Ki 2:8 Ou gen ankò bò kote ou Chimeyi, pitit gason Gera a, moun lavil Bakourim nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. Jou mwen t'ap kouri ale lavil Manayim lan, li te ban m' gwo madichon. Men, lè m' t'ap tounen, li vin kontre m' bò larivyè Jouden. Jou sa a, mwen te fè sèman nan non Seyè a mwen p'ap fè yo touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:9 ============ 1Ki 2:9 Now therefore hold him not guiltless: for thou art a wise man, and knowest what thou oughtest to do unto him; but his hoar head bring thou down to the grave with blood.(KJV-1611) 1Ki 2:9 Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l'. Jwenn yon jan pou fè yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:10 ============ 1Ki 2:10 So David slept with his fathers, and was buried in the city of David.(KJV-1611) 1Ki 2:10 Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:11 ============ 1Ki 2:11 And the days that David reigned over Israel were forty years: seven years reigned he in Hebron, and thirty and three years reigned he in Jerusalem.(KJV-1611) 1Ki 2:11 Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la: Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:12 ============ 1Ki 2:12 Then sat Solomon upon the throne of David his father; and his kingdom was established greatly.(KJV-1611) 1Ki 2:12 Salomon, pitit gason David la, vin wa nan plas papa li. Gouvènman li te byen chita.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:13 ============ 1Ki 2:13 And Adonijah the son of Haggith came to Bathsheba the mother of Solomon. And she said, Comest thou peaceably? And he said, Peaceably.(KJV-1611) 1Ki 2:13 Yon jou, Adonija, pitit Agit la, al wè Batcheba, manman Salomon. Batcheba mande l': -Se yon vizit zanmi ou vin fè m' la a? Adonija reponn: -Se sa menm!(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:14 ============ 1Ki 2:14 He said moreover, I have somewhat to say unto thee. And she said, Say on.(KJV-1611) 1Ki 2:14 Apre sa, li di l': -Mwen gen yon bagay mwen ta renmen mande ou! Batcheba di l': -Kisa l' ye?(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:15 ============ 1Ki 2:15 And he said, Thou knowest that the kingdom was mine, and that all Israel set their faces on me, that I should reign: howbeit the kingdom is turned about, and is become my brother's: for it was his from the LORD.(KJV-1611) 1Ki 2:15 Adonija reponn: -Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m'. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m' lan ki wa koulye a paske se Seyè a ki vle l' konsa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:16 ============ 1Ki 2:16 And now I ask one petition of thee, deny me not. And she said unto him, Say on.(KJV-1611) 1Ki 2:16 Bon, yon sèl favè m'ap mande ou. Pa refize m' li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:17 ============ 1Ki 2:17 And he said, Speak, I pray thee, unto Solomon the king, (for he will not say thee nay,) that he give me Abishag the Shunammite to wife.(KJV-1611) 1Ki 2:17 Batcheba di l': -Pale non! Adonija reponn: -Tanpri, al mande wa Salomon pou l' ban mwen Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm mwen. Mwen konnen li p'ap refize ou sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:18 ============ 1Ki 2:18 And Bathsheba said, Well; I will speak for thee unto the king.(KJV-1611) 1Ki 2:18 Batcheba reponn: -Bon, dakò! m'a pale ak wa a pou ou!(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:19 ============ 1Ki 2:19 Bathsheba therefore went unto king Solomon, to speak unto him for Adonijah. And the king rose up to meet her, and bowed himself unto her, and sat down on his throne, and caused a seat to be set for the king's mother; and she sat on his right hand.(KJV-1611) 1Ki 2:19 Se konsa Batcheba al pale ak wa Salomon pou Adonija. Wa a leve kanpe pou l' resevwa manman l'. Li bese byen ba devan l' pou di l' bonjou. Apre sa, l' al chita sou fotèy li, epi li bay lòd pou yo pote yon lòt fotèy pou manman l' chita bò dwat li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:20 ============ 1Ki 2:20 Then she said, I desire one small petition of thee; I pray thee, say me not nay. And the king said unto her, Ask on, my mother: for I will not say thee nay.(KJV-1611) 1Ki 2:20 Batcheba di konsa: -Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m' sa. W'a reponn: -Manman, mande m' sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:21 ============ 1Ki 2:21 And she said, Let Abishag the Shunammite be given to Adonijah thy brother to wife.(KJV-1611) 1Ki 2:21 Batcheba di l': -Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:22 ============ 1Ki 2:22 And king Solomon answered and said unto his mother, And why dost thou ask Abishag the Shunammite for Adonijah? ask for him the kingdom also; for he is mine elder brother; even for him, and for Abiathar the priest, and for Joab the son of Zeruiah.(KJV-1611) 1Ki 2:22 Wa a reponn manman li, li di li: -Poukisa w'ap mande m' pou m' bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m' pou m' ba li plas wa a tou, se gran frè m' li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:23 ============ 1Ki 2:23 Then king Solomon sware by the LORD, saying, God do so to me, and more also, if Adonijah have not spoken this word against his own life.(KJV-1611) 1Ki 2:23 Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Seyè a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l' mande m' la a!(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:24 ============ 1Ki 2:24 Now therefore, as the LORD liveth, which hath established me, and set me on the throne of David my father, and who hath made me an house, as he promised, Adonijah shall be put to death this day.(KJV-1611) 1Ki 2:24 Seyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotèy David, papa m' lan. Li kenbe pwomès li, li mete m' chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou chèf apre m'. Mwen fè sèman nan non Seyè a, se pou Adonija mouri jòdi a menm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:25 ============ 1Ki 2:25 And king Solomon sent by the hand of Benaiah the son of Jehoiada; and he fell upon him that he died.(KJV-1611) 1Ki 2:25 Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l' al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:26 ============ 1Ki 2:26 And unto Abiathar the priest said the king, Get thee to Anathoth, unto thine own fields; for thou art worthy of death: but I will not at this time put thee to death, because thou barest the ark of the LORD God before David my father, and because thou hast been afflicted in all wherein my father was afflicted.(KJV-1611) 1Ki 2:26 Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l' konsa. -Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Seyè a devan David, papa m'. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:27 ============ 1Ki 2:27 So Solomon thrust out Abiathar from being priest unto the LORD; that he might fulfil the word of the LORD, which he spake concerning the house of Eli in Shiloh.(KJV-1611) 1Ki 2:27 Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:28 ============ 1Ki 2:28 Then tidings came to Joab: for Joab had turned after Adonijah, though he turned not after Absalom. And Joab fled unto the tabernacle of the LORD, and caught hold on the horns of the altar.(KJV-1611) 1Ki 2:28 Lè Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l'. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pa t' janm pran pozisyon pou Absalon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:29 ============ 1Ki 2:29 And it was told king Solomon that Joab was fled unto the tabernacle of the LORD; and, behold, he is by the altar. Then Solomon sent Benaiah the son of Jehoiada, saying, Go, fall upon him.(KJV-1611) 1Ki 2:29 Y' al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:30 ============ 1Ki 2:30 And Benaiah came to the tabernacle of the LORD, and said unto him, Thus saith the king, Come forth. And he said, Nay; but I will die here. And Benaiah brought the king word again, saying, Thus said Joab, and thus he answered me.(KJV-1611) 1Ki 2:30 Benaja ale nan Tant Randevou a, li di Joab konsa: -Wa a bay lòd pou ou soti la a. Joab reponn: -Non. Se isit la m'ap mouri. Benaja tounen al jwenn wa a, li rapòte l' repons Joab te ba li a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:31 ============ 1Ki 2:31 And the king said unto him, Do as he hath said, and fall upon him, and bury him; that thou mayest take away the innocent blood, which Joab shed, from me, and from the house of my father.(KJV-1611) 1Ki 2:31 Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:32 ============ 1Ki 2:32 And the LORD shall return his blood upon his own head, who fell upon two men more righteous and better than he, and slew them with the sword, my father David not knowing thereof, to wit, Abner the son of Ner, captain of the host of Israel, and Amasa the son of Jether, captain of the host of Judah.(KJV-1611) 1Ki 2:32 Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:33 ============ 1Ki 2:33 Their blood shall therefore return upon the head of Joab, and upon the head of his seed for ever: but upon David, and upon his seed, and upon his house, and upon his throne, shall there be peace for ever from the LORD.(KJV-1611) 1Ki 2:33 Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:34 ============ 1Ki 2:34 So Benaiah the son of Jehoiada went up, and fell upon him, and slew him: and he was buried in his own house in the wilderness.(KJV-1611) 1Ki 2:34 Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:35 ============ 1Ki 2:35 And the king put Benaiah the son of Jehoiada in his room over the host: and Zadok the priest did the king put in the room of Abiathar.(KJV-1611) 1Ki 2:35 Apre sa, wa a mete Benaja kòmandan lame a nan plas Joab, li mete Zadòk, prèt la, nan plas Abyata.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:36 ============ 1Ki 2:36 And the king sent and called for Shimei, and said unto him, Build thee an house in Jerusalem, and dwell there, and go not forth thence any whither.(KJV-1611) 1Ki 2:36 Apre sa, wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Bati yon kay pou ou isit nan lavil Jerizalèm. Se la mwen vle ou rete. Piga ou janm kite lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:37 ============ 1Ki 2:37 For it shall be, that on the day thou goest out, and passest over the brook Kidron, thou shalt know for certain that thou shalt surely die: thy blood shall be upon thine own head.(KJV-1611) 1Ki 2:37 Mwen tou pale ou, jou ou soti kite lavil la, jou ou janbe lòt bò ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpòt sa ki va rive ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:38 ============ 1Ki 2:38 And Shimei said unto the king, The saying is good: as my lord the king hath said, so will thy servant do. And Shimei dwelt in Jerusalem many days.(KJV-1611) 1Ki 2:38 Chimeyi reponn: -Dakò, monwa. m'a fè sa ou di a. Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:39 ============ 1Ki 2:39 And it came to pass at the end of three years, that two of the servants of Shimei ran away unto Achish son of Maachah king of Gath. And they told Shimei, saying, Behold, thy servants be in Gath.(KJV-1611) 1Ki 2:39 Twazan apre sa, de nan esklav Chimeyi yo sove, y' al lakay Akich, pitit gason Maka a, ki te wa lavil Gat. Yo vin di Chimeyi esklav li yo te lavil Gat.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:40 ============ 1Ki 2:40 And Shimei arose, and saddled his ass, and went to Gath to Achish to seek his servants: and Shimei went, and brought his servants from Gath.(KJV-1611) 1Ki 2:40 Chimeyi leve, li sele bourik li, l' al chache esklav li yo lakay Akich lavil Gat. Apre sa, li tounen lakay li ansanm ak esklav li yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:41 ============ 1Ki 2:41 And it was told Solomon that Shimei had gone from Jerusalem to Gath, and was come again.(KJV-1611) 1Ki 2:41 Yo fè Salomon konnen Chimeyi te soti lavil Jerizalèm ale lavil Gat epi li tounen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:42 ============ 1Ki 2:42 And the king sent and called for Shimei, and said unto him, Did I not make thee to swear by the LORD, and protested unto thee, saying, Know for a certain, on the day thou goest out, and walkest abroad any whither, that thou shalt surely die? and thou saidst unto me, The word that I have heard is good.(KJV-1611) 1Ki 2:42 Wa a voye chache Chimeyi, li di l' konsa: -Mwen te kwè m' te fè ou pwomèt devan Seyè a pou ou pa janm kite lavil Jerizalèm? Mwen te tou pale ou. Jou w'a soti lavil Jerizalèm pou ale nenpòt ki kote, w'ap mouri. Eske ou pa t' reponn mwen ou te dakò avè m', ou t'ap fè tou sa mwen mande ou la?(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:43 ============ 1Ki 2:43 Why then hast thou not kept the oath of the LORD, and the commandment that I have charged thee with?(KJV-1611) 1Ki 2:43 Poukisa atò ou pa kenbe pwomès ou te fè devan Seyè a? Poukisa ou dezobeyi m'?(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:44 ============ 1Ki 2:44 The king said moreover to Shimei, Thou knowest all the wickedness which thine heart is privy to, that thou didst to David my father: therefore the LORD shall return thy wickedness upon thine own head;(KJV-1611) 1Ki 2:44 Ou konnen byen pwòp tou sa ou te fè David, papa m'. Seyè a pral pini ou pou sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:45 ============ 1Ki 2:45 And king Solomon shall be blessed, and the throne of David shall be established before the LORD for ever.(KJV-1611) 1Ki 2:45 Men, l'ap beni m', mwen menm Salomon. L'ap fè gouvènman fanmi David la chita pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 2:46 ============ 1Ki 2:46 So the king commanded Benaiah the son of Jehoiada; which went out, and fell upon him, that he died. And the kingdom was established in the hand of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 2:46 Apre sa, wa a pase Benaja, pitit Jeyoada a, lòd. Benaja soti, l' al touye Chimeyi. Se konsa Chimeyi mouri. Depi lè sa a, Salomon te gen tout pouvwa a nan men l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:1 ============ 1Ki 3:1 And Solomon made affinity with Pharaoh king of Egypt, and took Pharaoh's daughter, and brought her into the city of David, until he had made an end of building his own house, and the house of the LORD, and the wall of Jerusalem round about.(KJV-1611) 1Ki 3:1 Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l' rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:2 ============ 1Ki 3:2 Only the people sacrificed in high places, because there was no house built unto the name of the LORD, until those days.(KJV-1611) 1Ki 3:2 Yo pa t' ankò bati yon kay pou Seyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:3 ============ 1Ki 3:3 And Solomon loved the LORD, walking in the statutes of David his father: only he sacrificed and burnt incense in high places.(KJV-1611) 1Ki 3:3 Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:4 ============ 1Ki 3:4 And the king went to Gibeon to sacrifice there; for that was the great high place: a thousand burnt offerings did Solomon offer upon that altar.(KJV-1611) 1Ki 3:4 Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:5 ============ 1Ki 3:5 In Gibeon the LORD appeared to Solomon in a dream by night: and God said, Ask what I shall give thee.(KJV-1611) 1Ki 3:5 Yon jou lannwit, Seyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l' konsa: -Kisa ou ta vle m' ba ou?(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:6 ============ 1Ki 3:6 And Solomon said, Thou hast shewed unto thy servant David my father great mercy, according as he walked before thee in truth, and in righteousness, and in uprightness of heart with thee; and thou hast kept for him this great kindness, that thou hast given him a son to sit on his throne, as it is this day.(KJV-1611) 1Ki 3:6 Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:7 ============ 1Ki 3:7 And now, O LORD my God, thou hast made thy servant king instead of David my father: and I am but a little child: I know not how to go out or come in.(KJV-1611) 1Ki 3:7 Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:8 ============ 1Ki 3:8 And thy servant is in the midst of thy people which thou hast chosen, a great people, that cannot be numbered nor counted for multitude.(KJV-1611) 1Ki 3:8 Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:9 ============ 1Ki 3:9 Give therefore thy servant an understanding heart to judge thy people, that I may discern between good and bad: for who is able to judge this thy so great a people?(KJV-1611) 1Ki 3:9 Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:10 ============ 1Ki 3:10 And the speech pleased the LORD, that Solomon had asked this thing.(KJV-1611) 1Ki 3:10 Seyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:11 ============ 1Ki 3:11 And God said unto him, Because thou hast asked this thing, and hast not asked for thyself long life; neither hast asked riches for thyself, nor hast asked the life of thine enemies; but hast asked for thyself understanding to discern judgment;(KJV-1611) 1Ki 3:11 Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:12 ============ 1Ki 3:12 Behold, I have done according to thy words: lo, I have given thee a wise and an understanding heart; so that there was none like thee before thee, neither after thee shall any arise like unto thee.(KJV-1611) 1Ki 3:12 M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:13 ============ 1Ki 3:13 And I have also given thee that which thou hast not asked, both riches, and honour: so that there shall not be any among the kings like unto thee all thy days.(KJV-1611) 1Ki 3:13 Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:14 ============ 1Ki 3:14 And if thou wilt walk in my ways, to keep my statutes and my commandments, as thy father David did walk, then I will lengthen thy days.(KJV-1611) 1Ki 3:14 Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:15 ============ 1Ki 3:15 And Solomon awoke; and, behold, it was a dream. And he came to Jerusalem, and stood before the ark of the covenant of the LORD, and offered up burnt offerings, and offered peace offerings, and made a feast to all his servants.(KJV-1611) 1Ki 3:15 Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:16 ============ 1Ki 3:16 Then came there two women, that were harlots, unto the king, and stood before him.(KJV-1611) 1Ki 3:16 Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:17 ============ 1Ki 3:17 And the one woman said, O my lord, I and this woman dwell in one house; and I was delivered of a child with her in the house.(KJV-1611) 1Ki 3:17 Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: -Monwa, madanm sa a avè m' nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:18 ============ 1Ki 3:18 And it came to pass the third day after that I was delivered, that this woman was delivered also: and we were together; there was no stranger with us in the house, save we two in the house.(KJV-1611) 1Ki 3:18 De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t' gen lòt moun la ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:19 ============ 1Ki 3:19 And this woman's child died in the night; because she overlaid it.(KJV-1611) 1Ki 3:19 Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l' la, li toufe l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:20 ============ 1Ki 3:20 And she arose at midnight, and took my son from beside me, while thine handmaid slept, and laid it in her bosom, and laid her dead child in my bosom.(KJV-1611) 1Ki 3:20 Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:21 ============ 1Ki 3:21 And when I rose in the morning to give my child suck, behold, it was dead: but when I had considered it in the morning, behold, it was not my son, which I did bear.(KJV-1611) 1Ki 3:21 Nan maten lè m' leve pou m' bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lè m' gade byen gade, mwen wè se pa t' pitit mwen an sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:22 ============ 1Ki 3:22 And the other woman said, Nay; but the living is my son, and the dead is thy son. And this said, No; but the dead is thy son, and the living is my son. Thus they spake before the king.(KJV-1611) 1Ki 3:22 Men lòt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lè sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t'ap fè kont devan wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:23 ============ 1Ki 3:23 Then said the king, The one saith, This is my son that liveth, and thy son is the dead: and the other saith, Nay; but thy son is the dead, and my son is the living.(KJV-1611) 1Ki 3:23 Lè sa a, wa a pran lapawòl, li di: -Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lòt la. Lòt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:24 ============ 1Ki 3:24 And the king said, Bring me a sword. And they brought a sword before the king.(KJV-1611) 1Ki 3:24 Wa a voye chache yon nepe. Lè yo pote nepe a li di konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:25 ============ 1Ki 3:25 And the king said, Divide the living child in two, and give half to the one, and half to the other.(KJV-1611) 1Ki 3:25 -Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:26 ============ 1Ki 3:26 Then spake the woman whose the living child was unto the king, for her bowels yearned upon her son, and she said, O my lord, give her the living child, and in no wise slay it. But the other said, Let it be neither mine nor thine, but divide it.(KJV-1611) 1Ki 3:26 Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:27 ============ 1Ki 3:27 Then the king answered and said, Give her the living child, and in no wise slay it: she is the mother thereof.(KJV-1611) 1Ki 3:27 Lè sa a Salomon di: -Pa touye pitit la. Renmèt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 3:28 ============ 1Ki 3:28 And all Israel heard of the judgment which the king had judged; and they feared the king: for they saw that the wisdom of God was in him, to do judgment.(KJV-1611) 1Ki 3:28 Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:1 ============ 1Ki 4:1 So king Solomon was king over all Israel.(KJV-1611) 1Ki 4:1 Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:2 ============ 1Ki 4:2 And these were the princes which he had; Azariah the son of Zadok the priest,(KJV-1611) 1Ki 4:2 Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:3 ============ 1Ki 4:3 Elihoreph and Ahiah, the sons of Shisha, scribes; Jehoshaphat the son of Ahilud, the recorder.(KJV-1611) 1Ki 4:3 Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:4 ============ 1Ki 4:4 And Benaiah the son of Jehoiada was over the host: and Zadok and Abiathar were the priests:(KJV-1611) 1Ki 4:4 Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:5 ============ 1Ki 4:5 And Azariah the son of Nathan was over the officers: and Zabud the son of Nathan was principal officer, and the king's friend:(KJV-1611) 1Ki 4:5 Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:6 ============ 1Ki 4:6 And Ahishar was over the household: and Adoniram the son of Abda was over the tribute.(KJV-1611) 1Ki 4:6 Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:7 ============ 1Ki 4:7 And Solomon had twelve officers over all Israel, which provided victuals for the king and his household: each man his month in a year made provision.(KJV-1611) 1Ki 4:7 Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:8 ============ 1Ki 4:8 And these are their names: The son of Hur, in mount Ephraim:(KJV-1611) 1Ki 4:8 Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:9 ============ 1Ki 4:9 The son of Dekar, in Makaz, and in Shaalbim, and Bethshemesh, and Elonbethhanan:(KJV-1611) 1Ki 4:9 Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:10 ============ 1Ki 4:10 The son of Hesed, in Aruboth; to him pertained Sochoh, and all the land of Hepher:(KJV-1611) 1Ki 4:10 Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:11 ============ 1Ki 4:11 The son of Abinadab, in all the region of Dor; which had Taphath the daughter of Solomon to wife:(KJV-1611) 1Ki 4:11 Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:12 ============ 1Ki 4:12 Baana the son of Ahilud; to him pertained Taanach and Megiddo, and all Bethshean, which is by Zartanah beneath Jezreel, from Bethshean to Abelmeholah, even unto the place that is beyond Jokneam:(KJV-1611) 1Ki 4:12 Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:13 ============ 1Ki 4:13 The son of Geber, in Ramothgilead; to him pertained the towns of Jair the son of Manasseh, which are in Gilead; to him also pertained the region of Argob, which is in Bashan, threescore great cities with walls and brasen bars:(KJV-1611) 1Ki 4:13 Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:14 ============ 1Ki 4:14 Ahinadab the son of Iddo had Mahanaim:(KJV-1611) 1Ki 4:14 Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:15 ============ 1Ki 4:15 Ahimaaz was in Naphtali; he also took Basmath the daughter of Solomon to wife:(KJV-1611) 1Ki 4:15 Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:16 ============ 1Ki 4:16 Baanah the son of Hushai was in Asher and in Aloth:(KJV-1611) 1Ki 4:16 Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:17 ============ 1Ki 4:17 Jehoshaphat the son of Paruah, in Issachar:(KJV-1611) 1Ki 4:17 Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:18 ============ 1Ki 4:18 Shimei the son of Elah, in Benjamin:(KJV-1611) 1Ki 4:18 Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:19 ============ 1Ki 4:19 Geber the son of Uri was in the country of Gilead, in the country of Sihon king of the Amorites, and of Og king of Bashan; and he was the only officer which was in the land.(KJV-1611) 1Ki 4:19 Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:20 ============ 1Ki 4:20 Judah and Israel were many, as the sand which is by the sea in multitude, eating and drinking, and making merry.(KJV-1611) 1Ki 4:20 Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:21 ============ 1Ki 4:21 And Solomon reigned over all kingdoms from the river unto the land of the Philistines, and unto the border of Egypt: they brought presents, and served Solomon all the days of his life.(KJV-1611) 1Ki 4:21 Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:22 ============ 1Ki 4:22 And Solomon's provision for one day was thirty measures of fine flour, and threescore measures of meal,(KJV-1611) 1Ki 4:22 Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant barik farin frans,(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:23 ============ 1Ki 4:23 Ten fat oxen, and twenty oxen out of the pastures, and an hundred sheep, beside harts, and roebucks, and fallowdeer, and fatted fowl.(KJV-1611) 1Ki 4:23 dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:24 ============ 1Ki 4:24 For he had dominion over all the region on this side the river, from Tiphsah even to Azzah, over all the kings on this side the river: and he had peace on all sides round about him.(KJV-1611) 1Ki 4:24 Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t'ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t' ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:25 ============ 1Ki 4:25 And Judah and Israel dwelt safely, every man under his vine and under his fig tree, from Dan even to Beersheba, all the days of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 4:25 Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:26 ============ 1Ki 4:26 And Solomon had forty thousand stalls of horses for his chariots, and twelve thousand horsemen.(KJV-1611) 1Ki 4:26 Salomon te gen katmil chwal pou sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:27 ============ 1Ki 4:27 And those officers provided victual for king Solomon, and for all that came unto king Solomon's table, every man in his month: they lacked nothing.(KJV-1611) 1Ki 4:27 Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k'ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:28 ============ 1Ki 4:28 Barley also and straw for the horses and dromedaries brought they unto the place where the officers were, every man according to his charge.(KJV-1611) 1Ki 4:28 Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:29 ============ 1Ki 4:29 And God gave Solomon wisdom and understanding exceeding much, and largeness of heart, even as the sand that is on the sea shore.(KJV-1611) 1Ki 4:29 Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:30 ============ 1Ki 4:30 And Solomon's wisdom excelled the wisdom of all the children of the east country, and all the wisdom of Egypt.(KJV-1611) 1Ki 4:30 Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:31 ============ 1Ki 4:31 For he was wiser than all men; than Ethan the Ezrahite, and Heman, and Chalcol, and Darda, the sons of Mahol: and his fame was in all nations round about.(KJV-1611) 1Ki 4:31 Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:32 ============ 1Ki 4:32 And he spake three thousand proverbs: and his songs were a thousand and five.(KJV-1611) 1Ki 4:32 Li te ekri twamil chante pou pi piti.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:33 ============ 1Ki 4:33 And he spake of trees, from the cedar tree that is in Lebanon even unto the hyssop that springeth out of the wall: he spake also of beasts, and of fowl, and of creeping things, and of fishes.(KJV-1611) 1Ki 4:33 Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason.(Creole-HT) ======= 1 Kings 4:34 ============ 1Ki 4:34 And there came of all people to hear the wisdom of Solomon, from all kings of the earth, which had heard of his wisdom.(KJV-1611) 1Ki 4:34 Moun te soti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:1 ============ 1Ki 5:1 And Hiram king of Tyre sent his servants unto Solomon; for he had heard that they had anointed him king in the room of his father: for Hiram was ever a lover of David.(KJV-1611) 1Ki 5:1 Iram, wa peyi Tir, te toujou yon bon zanmi wa David. Lè li vin konnen se Salomon ki te vin moute wa nan plas David, papa l', li voye kèk chèf bò kote l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:2 ============ 1Ki 5:2 And Solomon sent to Hiram, saying,(KJV-1611) 1Ki 5:2 Salomon ba yo mesaj sa a pou yo pote bay Iram:(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:3 ============ 1Ki 5:3 Thou knowest how that David my father could not build an house unto the name of the LORD his God for the wars which were about him on every side, until the LORD put them under the soles of his feet.(KJV-1611) 1Ki 5:3 -Ou konnen ak lagè David, papa m', te genyen ak peyi ki toupre l' yo, li pa t' kapab bati yon kay kote pou yo adore Seyè a, Bondye li a, toutotan Seyè a pa t' fè l' kraze lènmi l' yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:4 ============ 1Ki 5:4 But now the LORD my God hath given me rest on every side, so that there is neither adversary nor evil occurrent.(KJV-1611) 1Ki 5:4 Men koulye a, Seyè a, Bondye mwen an, ban m' lapè sou tout fwontyè yo. Mwen pa gen moun pou chache m' kont, ni moun pou fè m' move kou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:5 ============ 1Ki 5:5 And, behold, I purpose to build an house unto the name of the LORD my God, as the LORD spake unto David my father, saying, Thy son, whom I will set upon thy throne in thy room, he shall build an house unto my name.(KJV-1611) 1Ki 5:5 Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:6 ============ 1Ki 5:6 Now therefore command thou that they hew me cedar trees out of Lebanon; and my servants shall be with thy servants: and unto thee will I give hire for thy servants according to all that thou shalt appoint: for thou knowest that there is not among us any that can skill to hew timber like unto the Sidonians.(KJV-1611) 1Ki 5:6 Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:7 ============ 1Ki 5:7 And it came to pass, when Hiram heard the words of Solomon, that he rejoiced greatly, and said, Blessed be the LORD this day, which hath given unto David a wise son over this great people.(KJV-1611) 1Ki 5:7 Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:8 ============ 1Ki 5:8 And Hiram sent to Solomon, saying, I have considered the things which thou sentest to me for: and I will do all thy desire concerning timber of cedar, and concerning timber of fir.(KJV-1611) 1Ki 5:8 Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:9 ============ 1Ki 5:9 My servants shall bring them down from Lebanon unto the sea: and I will convey them by sea in floats unto the place that thou shalt appoint me, and will cause them to be discharged there, and thou shalt receive them: and thou shalt accomplish my desire, in giving food for my household.(KJV-1611) 1Ki 5:9 Moun pa m' yo va pote madriye yo desann soti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m' yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m' pwovizyon pou moun pa m' yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:10 ============ 1Ki 5:10 So Hiram gave Solomon cedar trees and fir trees according to all his desire.(KJV-1611) 1Ki 5:10 Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:11 ============ 1Ki 5:11 And Solomon gave Hiram twenty thousand measures of wheat for food to his household, and twenty measures of pure oil: thus gave Solomon to Hiram year by year.(KJV-1611) 1Ki 5:11 Salomon menm, bò pa l', bay Iram sanmil galon lwil oliv chak lanne pou l' bay moun li yo manje.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:12 ============ 1Ki 5:12 And the LORD gave Solomon wisdom, as he promised him: and there was peace between Hiram and Solomon; and they two made a league together.(KJV-1611) 1Ki 5:12 Seyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:13 ============ 1Ki 5:13 And king Solomon raised a levy out of all Israel; and the levy was thirty thousand men.(KJV-1611) 1Ki 5:13 wa Salomon fè ranmase trantmil moun nan tout peyi Izrayèl la pou fè kòve.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:14 ============ 1Ki 5:14 And he sent them to Lebanon, ten thousand a month by courses: a month they were in Lebanon, and two months at home: and Adoniram was over the levy.(KJV-1611) 1Ki 5:14 Li te mete Adoniram reskonsab kòve a. Li separe mesye yo fè twa gwoup, ak dimil moun nan chak. Chak gwoup pase yon mwa nan peyi Liban, de mwa lakay yo. Chak fwa yon gwoup tounen, yon lòt al pran plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:15 ============ 1Ki 5:15 And Solomon had threescore and ten thousand that bare burdens, and fourscore thousand hewers in the mountains;(KJV-1611) 1Ki 5:15 Salomon te gen katrevenmil moun pou pote yo lavil Jerizalèm,(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:16 ============ 1Ki 5:16 Beside the chief of Solomon's officers which were over the work, three thousand and three hundred, which ruled over the people that wrought in the work.(KJV-1611) 1Ki 5:16 san konte twamil twasan fòmann gouvènè yo te nonmen alatèt mesye sa yo pou kontwole travay yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:17 ============ 1Ki 5:17 And the king commanded, and they brought great stones, costly stones, and hewed stones, to lay the foundation of the house.(KJV-1611) 1Ki 5:17 Wa Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 5:18 ============ 1Ki 5:18 And Solomon's builders and Hiram's builders did hew them, and the stonesquarers: so they prepared timber and stones to build the house.(KJV-1611) 1Ki 5:18 Se konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:1 ============ 1Ki 6:1 And it came to pass in the four hundred and eightieth year after the children of Israel were come out of the land of Egypt, in the fourth year of Solomon's reign over Israel, in the month Zif, which is the second month, that he began to build the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 6:1 Lè sa a te gen katsankatreven lanne depi pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:2 ============ 1Ki 6:2 And the house which king Solomon built for the LORD, the length thereof was threescore cubits, and the breadth thereof twenty cubits, and the height thereof thirty cubits.(KJV-1611) 1Ki 6:2 Kay wa Salomon bati pou Seyè a te gen katrevendis pye longè, trant pye lajè ak karantsenk pye wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:3 ============ 1Ki 6:3 And the porch before the temple of the house, twenty cubits was the length thereof, according to the breadth of the house; and ten cubits was the breadth thereof before the house.(KJV-1611) 1Ki 6:3 Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:4 ============ 1Ki 6:4 And for the house he made windows of narrow lights.(KJV-1611) 1Ki 6:4 Miray tanp lan te gen fennèt ak griyaj bare yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:5 ============ 1Ki 6:5 And against the wall of the house he built chambers round about, against the walls of the house round about, both of the temple and of the oracle: and he made chambers round about:(KJV-1611) 1Ki 6:5 Kole kole ak miray yo, sou de sou kote yo ak sou dèyè Tanp lan ak pyès dèyè a, li fè bati twa ran pyès, yonn sou lòt. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:6 ============ 1Ki 6:6 The nethermost chamber was five cubits broad, and the middle was six cubits broad, and the third was seven cubits broad: for without in the wall of the house he made narrowed rests round about, that the beams should not be fastened in the walls of the house.(KJV-1611) 1Ki 6:6 Chak pyès nan dènye etaj anba a te gen sèt pye edmi lajè. Pyès nan etaj mitan an te gen nèf pye lajè ak pyès nan etaj anwo nèt la te gen dis pye edmi. Miray tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travès plafon yo te chita sou miray yo san yo pa t' bezwen fouye twou ladan yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:7 ============ 1Ki 6:7 And the house, when it was in building, was built of stone made ready before it was brought thither: so that there was neither hammer nor axe nor any tool of iron heard in the house, while it was in building.(KJV-1611) 1Ki 6:7 Wòch yo te sèvi pou bati Tanp lan te pare depi nan min wòch kote yo te jwenn yo a. Konsa, pandan yo t'ap bati Tanp lan pa t' gen ankenn bri mato, bri sizo, ni bri ankenn zouti fè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:8 ============ 1Ki 6:8 The door for the middle chamber was in the right side of the house: and they went up with winding stairs into the middle chamber, and out of the middle into the third.(KJV-1611) 1Ki 6:8 Pòt pou antre nan premye chanm anba yo te bay sou bò sid Tanp lan. Te gen eskalye pou moute nan premye ak nan dezyèm etaj yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:9 ============ 1Ki 6:9 So he built the house, and finished it; and covered the house with beams and boards of cedar.(KJV-1611) 1Ki 6:9 Lè Salomon fin bati Tanp lan, li mete yon plafon fèt ak travès ak planch sèd.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:10 ============ 1Ki 6:10 And then he built chambers against all the house, five cubits high: and they rested on the house with timber of cedar.(KJV-1611) 1Ki 6:10 Li bati pyès chanm yo tout arebò tanp lan. Chak etaj te gen sèt pye edmi wotè. Yo te kole kole ak miray kay la. Yo te mare sou miray la ak travès sèd.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:11 ============ 1Ki 6:11 And the word of the LORD came to Solomon, saying,(KJV-1611) 1Ki 6:11 Seyè a pale ak Salomon, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:12 ============ 1Ki 6:12 Concerning this house which thou art in building, if thou wilt walk in my statutes, and execute my judgments, and keep all my commandments to walk in them; then will I perform my word with thee, which I spake unto David thy father:(KJV-1611) 1Ki 6:12 -Lè w'a fin bati tanp lan, si ou mache dapre lòd mwen, si ou fè sa m' di ou fè, si ou kenbe tout kòmandman mwen yo, m'a fè pou ou tou sa mwen te pwomèt David, papa ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:13 ============ 1Ki 6:13 And I will dwell among the children of Israel, and will not forsake my people Israel.(KJV-1611) 1Ki 6:13 M'ap rete nan mitan peyi Izrayèl la, mwen p'ap janm lage yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:14 ============ 1Ki 6:14 So Solomon built the house, and finished it.(KJV-1611) 1Ki 6:14 Se konsa Salomon fin bati Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:15 ============ 1Ki 6:15 And he built the walls of the house within with boards of cedar, both the floor of the house, and the walls of the ceiling: and he covered them on the inside with wood, and covered the floor of the house with planks of fir.(KJV-1611) 1Ki 6:15 Tout miray yo te plake sou anndan ak planch sèd depi planche a rive nan plafon an. Planche a te fèt ak bwa pichpen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:16 ============ 1Ki 6:16 And he built twenty cubits on the sides of the house, both the floor and the walls with boards of cedar: he even built them for it within, even for the oracle, even for the most holy place.(KJV-1611) 1Ki 6:16 Li bati sou dèyè tanp lan yon gwo pyès li rele Pyès ki apa nèt pou Seyè a. Pyès la te gen trant pye longè. Panno pyès la fèt ak planch sèd ki soti depi atè rive nan plafon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:17 ============ 1Ki 6:17 And the house, that is, the temple before it, was forty cubits long.(KJV-1611) 1Ki 6:17 Pati tanp lan ki te devan pyès ki apa nèt pou Seyè a te gen swasant pye longè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:18 ============ 1Ki 6:18 And the cedar of the house within was carved with knops and open flowers: all was cedar; there was no stone seen.(KJV-1611) 1Ki 6:18 Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pa t' ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:19 ============ 1Ki 6:19 And the oracle he prepared in the house within, to set there the ark of the covenant of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 6:19 Anndan Tanp lan, sou dèyè, li bati yon pyès apa pou Seyè a. Se la yo te mete Bwat Kontra Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:20 ============ 1Ki 6:20 And the oracle in the forepart was twenty cubits in length, and twenty cubits in breadth, and twenty cubits in the height thereof: and he overlaid it with pure gold; and so covered the altar which was of cedar.(KJV-1611) 1Ki 6:20 Pyès la te gen trant pye longè, trant pye lajè ak trant pye wotè. Li te kouvri nèt ak lò. Sou devan pyès la yo bati yon lotèl ak bwa sèd, lèfini yo te kouvri li nèt ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:21 ============ 1Ki 6:21 So Solomon overlaid the house within with pure gold: and he made a partition by the chains of gold before the oracle; and he overlaid it with gold.(KJV-1611) 1Ki 6:21 Tout miray anndan tanp lan te kouvri ak lò. Pyès apa nèt pou Seyè a te kouvri ak lò tou. Yo fè chenn lò pou fèmen pòt pyès ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:22 ============ 1Ki 6:22 And the whole house he overlaid with gold, until he had finished all the house: also the whole altar that was by the oracle he overlaid with gold.(KJV-1611) 1Ki 6:22 Konsa, tout anndan Tanp lan nèt ansanm ak lotèl ki te devan pyès ki apa pou Seyè a te kouvri nèt ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:23 ============ 1Ki 6:23 And within the oracle he made two cherubims of olive tree, each ten cubits high.(KJV-1611) 1Ki 6:23 Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:24 ============ 1Ki 6:24 And five cubits was the one wing of the cherub, and five cubits the other wing of the cherub: from the uttermost part of the one wing unto the uttermost part of the other were ten cubits.(KJV-1611) 1Ki 6:24 Chak zèl te mezire sèt pye edmi longè. Konsa, depi pwent yon zèl rive nan pwent lòt zèl la te gen kenz pye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:25 ============ 1Ki 6:25 And the other cherub was ten cubits: both the cherubims were of one measure and one size.(KJV-1611) 1Ki 6:25 Tou de estati yo te gen menm fòm, menm gwosè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:26 ============ 1Ki 6:26 The height of the one cherub was ten cubits, and so was it of the other cherub.(KJV-1611) 1Ki 6:26 Tou de te menm wotè, yo te gen kenz pye wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:27 ============ 1Ki 6:27 And he set the cherubims within the inner house: and they stretched forth the wings of the cherubims, so that the wing of the one touched the one wall, and the wing of the other cherub touched the other wall; and their wings touched one another in the midst of the house.(KJV-1611) 1Ki 6:27 Salomon fè mete de estati yo anndan pyès ki apa pou Seyè a, kòtakòt, ak zèl yo louvri pou pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:28 ============ 1Ki 6:28 And he overlaid the cherubims with gold.(KJV-1611) 1Ki 6:28 De estati ak zèl yo te kouvri nèt ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:29 ============ 1Ki 6:29 And he carved all the walls of the house round about with carved figures of cherubims and palm trees and open flowers, within and without.(KJV-1611) 1Ki 6:29 Sou tout miray anndan tanp lan te gen pòtre zanj cheriben, pòtre pye palmis ak pòtre flè yo te travay nan bwa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:30 ============ 1Ki 6:30 And the floors of the house he overlaid with gold, within and without.(KJV-1611) 1Ki 6:30 Menm planche a te kouvri ak lò anndan kou deyò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:31 ============ 1Ki 6:31 And for the entering of the oracle he made doors of olive tree: the lintel and side posts were a fifth part of the wall.(KJV-1611) 1Ki 6:31 Salomon fè mete yon pòt de batan fèt ak bwa oliv pou fèmen pyès apa pou Seyè a. Lento pòt la ak de montan yo te pran yon senkyèm nan ouvèti pòt la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:32 ============ 1Ki 6:32 The two doors also were of olive tree; and he carved upon them carvings of cherubims and palm trees and open flowers, and overlaid them with gold, and spread gold upon the cherubims, and upon the palm trees.(KJV-1611) 1Ki 6:32 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay nan bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:33 ============ 1Ki 6:33 So also made he for the door of the temple posts of olive tree, a fourth part of the wall.(KJV-1611) 1Ki 6:33 Pòt pyès mitan Tanp lan te gen yon ankadreman fèt ak bwa oliv ki te pran yon ka nan ouvèti pòt la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:34 ============ 1Ki 6:34 And the two doors were of fir tree: the two leaves of the one door were folding, and the two leaves of the other door were folding.(KJV-1611) 1Ki 6:34 Pòt la menm te fèt an pichpen. Li te gen kat batan, de batan chak bò ki ka fèmen yonn sou lòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:35 ============ 1Ki 6:35 And he carved thereon cherubims and palm trees and open flowers: and covered them with gold fitted upon the carved work.(KJV-1611) 1Ki 6:35 Batan pòt yo te dekore ak pòtre zanj cheriben, pye palmis ak flè yo te travay sou bwa a. Tout pòt la ansanm ak pòtre yo te kouvri nèt ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:36 ============ 1Ki 6:36 And he built the inner court with three rows of hewed stone, and a row of cedar beams.(KJV-1611) 1Ki 6:36 Li fè bati yon lakou fèmen devan Tanp lan. Miray lakou a te fèt ak yon ranje madriye sèd pou chak twa ranje wòch yonn sou lòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:37 ============ 1Ki 6:37 In the fourth year was the foundation of the house of the LORD laid, in the month Zif:(KJV-1611) 1Ki 6:37 Se nan katriyèm lanne rèy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 6:38 ============ 1Ki 6:38 And in the eleventh year, in the month Bul, which is the eighth month, was the house finished throughout all the parts thereof, and according to all the fashion of it. So was he seven years in building it.(KJV-1611) 1Ki 6:38 Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne rèy Salomon nan wityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran sètan pou l' bati Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:1 ============ 1Ki 7:1 But Solomon was building his own house thirteen years, and he finished all his house.(KJV-1611) 1Ki 7:1 Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:2 ============ 1Ki 7:2 He built also the house of the forest of Lebanon; the length thereof was an hundred cubits, and the breadth thereof fifty cubits, and the height thereof thirty cubits, upon four rows of cedar pillars, with cedar beams upon the pillars.(KJV-1611) 1Ki 7:2 Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:3 ============ 1Ki 7:3 And it was covered with cedar above upon the beams, that lay on forty five pillars, fifteen in a row.(KJV-1611) 1Ki 7:3 Plafon an te fèt an planch sèd. Li te kloure sou karannsenk travès ki te chita sou tèt poto yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:4 ============ 1Ki 7:4 And there were windows in three rows, and light was against light in three ranks.(KJV-1611) 1Ki 7:4 Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:5 ============ 1Ki 7:5 And all the doors and posts were square, with the windows: and light was against light in three ranks.(KJV-1611) 1Ki 7:5 Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:6 ============ 1Ki 7:6 And he made a porch of pillars; the length thereof was fifty cubits, and the breadth thereof thirty cubits: and the porch was before them: and the other pillars and the thick beam were before them.(KJV-1611) 1Ki 7:6 Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:7 ============ 1Ki 7:7 Then he made a porch for the throne where he might judge, even the porch of judgment: and it was covered with cedar from one side of the floor to the other.(KJV-1611) 1Ki 7:7 Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:8 ============ 1Ki 7:8 And his house where he dwelt had another court within the porch, which was of the like work. Solomon made also an house for Pharaoh's daughter, whom he had taken to wife, like unto this porch.(KJV-1611) 1Ki 7:8 Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:9 ============ 1Ki 7:9 All these were of costly stones, according to the measures of hewed stones, sawed with saws, within and without, even from the foundation unto the coping, and so on the outside toward the great court.(KJV-1611) 1Ki 7:9 Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:10 ============ 1Ki 7:10 And the foundation was of costly stones, even great stones, stones of ten cubits, and stones of eight cubits.(KJV-1611) 1Ki 7:10 Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Gen en ladan yo ki te gen douz pye longè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:11 ============ 1Ki 7:11 And above were costly stones, after the measures of hewed stones, and cedars.(KJV-1611) 1Ki 7:11 Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:12 ============ 1Ki 7:12 And the great court round about was with three rows of hewed stones, and a row of cedar beams, both for the inner court of the house of the LORD, and for the porch of the house.(KJV-1611) 1Ki 7:12 Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:13 ============ 1Ki 7:13 And king Solomon sent and fetched Hiram out of Tyre.(KJV-1611) 1Ki 7:13 Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:14 ============ 1Ki 7:14 He was a widow's son of the tribe of Naphtali, and his father was a man of Tyre, a worker in brass: and he was filled with wisdom, and understanding, and cunning to work all works in brass. And he came to king Solomon, and wrought all his work.(KJV-1611) 1Ki 7:14 Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:15 ============ 1Ki 7:15 For he cast two pillars of brass, of eighteen cubits high apiece: and a line of twelve cubits did compass either of them about.(KJV-1611) 1Ki 7:15 Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:16 ============ 1Ki 7:16 And he made two chapiters of molten brass, to set upon the tops of the pillars: the height of the one chapiter was five cubits, and the height of the other chapiter was five cubits:(KJV-1611) 1Ki 7:16 Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:17 ============ 1Ki 7:17 And nets of checker work, and wreaths of chain work, for the chapiters which were upon the top of the pillars; seven for the one chapiter, and seven for the other chapiter.(KJV-1611) 1Ki 7:17 Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:18 ============ 1Ki 7:18 And he made the pillars, and two rows round about upon the one network, to cover the chapiters that were upon the top, with pomegranates: and so did he for the other chapiter.(KJV-1611) 1Ki 7:18 Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:19 ============ 1Ki 7:19 And the chapiters that were upon the top of the pillars were of lily work in the porch, four cubits.(KJV-1611) 1Ki 7:19 Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:20 ============ 1Ki 7:20 And the chapiters upon the two pillars had pomegranates also above, over against the belly which was by the network: and the pomegranates were two hundred in rows round about upon the other chapiter.(KJV-1611) 1Ki 7:20 Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:21 ============ 1Ki 7:21 And he set up the pillars in the porch of the temple: and he set up the right pillar, and called the name thereof Jachin: and he set up the left pillar, and called the name thereof Boaz.(KJV-1611) 1Ki 7:21 Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:22 ============ 1Ki 7:22 And upon the top of the pillars was lily work: so was the work of the pillars finished.(KJV-1611) 1Ki 7:22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:23 ============ 1Ki 7:23 And he made a molten sea, ten cubits from the one brim to the other: it was round all about, and his height was five cubits: and a line of thirty cubits did compass it round about.(KJV-1611) 1Ki 7:23 Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:24 ============ 1Ki 7:24 And under the brim of it round about there were knops compassing it, ten in a cubit, compassing the sea round about: the knops were cast in two rows, when it was cast.(KJV-1611) 1Ki 7:24 Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:25 ============ 1Ki 7:25 It stood upon twelve oxen, three looking toward the north, and three looking toward the west, and three looking toward the south, and three looking toward the east: and the sea was set above upon them, and all their hinder parts were inward.(KJV-1611) 1Ki 7:25 Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:26 ============ 1Ki 7:26 And it was an hand breadth thick, and the brim thereof was wrought like the brim of a cup, with flowers of lilies: it contained two thousand baths.(KJV-1611) 1Ki 7:26 Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:27 ============ 1Ki 7:27 And he made ten bases of brass; four cubits was the length of one base, and four cubits the breadth thereof, and three cubits the height of it.(KJV-1611) 1Ki 7:27 Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:28 ============ 1Ki 7:28 And the work of the bases was on this manner: they had borders, and the borders were between the ledges:(KJV-1611) 1Ki 7:28 Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:29 ============ 1Ki 7:29 And on the borders that were between the ledges were lions, oxen, and cherubims: and upon the ledges there was a base above: and beneath the lions and oxen were certain additions made of thin work.(KJV-1611) 1Ki 7:29 Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:30 ============ 1Ki 7:30 And every base had four brasen wheels, and plates of brass: and the four corners thereof had undersetters: under the laver were undersetters molten, at the side of every addition.(KJV-1611) 1Ki 7:30 Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:31 ============ 1Ki 7:31 And the mouth of it within the chapiter and above was a cubit: but the mouth thereof was round after the work of the base, a cubit and an half: and also upon the mouth of it were gravings with their borders, foursquare, not round.(KJV-1611) 1Ki 7:31 Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:32 ============ 1Ki 7:32 And under the borders were four wheels; and the axletrees of the wheels were joined to the base: and the height of a wheel was a cubit and half a cubit.(KJV-1611) 1Ki 7:32 Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:33 ============ 1Ki 7:33 And the work of the wheels was like the work of a chariot wheel: their axletrees, and their naves, and their felloes, and their spokes, were all molten.(KJV-1611) 1Ki 7:33 Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:34 ============ 1Ki 7:34 And there were four undersetters to the four corners of one base: and the undersetters were of the very base itself.(KJV-1611) 1Ki 7:34 Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:35 ============ 1Ki 7:35 And in the top of the base was there a round compass of half a cubit high: and on the top of the base the ledges thereof and the borders thereof were of the same.(KJV-1611) 1Ki 7:35 Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:36 ============ 1Ki 7:36 For on the plates of the ledges thereof, and on the borders thereof, he graved cherubims, lions, and palm trees, according to the proportion of every one, and additions round about.(KJV-1611) 1Ki 7:36 Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:37 ============ 1Ki 7:37 After this manner he made the ten bases: all of them had one casting, one measure, and one size.(KJV-1611) 1Ki 7:37 Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:38 ============ 1Ki 7:38 Then made he ten lavers of brass: one laver contained forty baths: and every laver was four cubits: and upon every one of the ten bases one laver.(KJV-1611) 1Ki 7:38 Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:39 ============ 1Ki 7:39 And he put five bases on the right side of the house, and five on the left side of the house: and he set the sea on the right side of the house eastward over against the south.(KJV-1611) 1Ki 7:39 Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:40 ============ 1Ki 7:40 And Hiram made the lavers, and the shovels, and the basons. So Hiram made an end of doing all the work that he made king Solomon for the house of the LORD:(KJV-1611) 1Ki 7:40 Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:41 ============ 1Ki 7:41 The two pillars, and the two bowls of the chapiters that were on the top of the two pillars; and the two networks, to cover the two bowls of the chapiters which were upon the top of the pillars;(KJV-1611) 1Ki 7:41 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:42 ============ 1Ki 7:42 And four hundred pomegranates for the two networks, even two rows of pomegranates for one network, to cover the two bowls of the chapiters that were upon the pillars;(KJV-1611) 1Ki 7:42 katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:43 ============ 1Ki 7:43 And the ten bases, and ten lavers on the bases;(KJV-1611) 1Ki 7:43 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:44 ============ 1Ki 7:44 And one sea, and twelve oxen under the sea;(KJV-1611) 1Ki 7:44 yon gwo basen tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basen lan,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:45 ============ 1Ki 7:45 And the pots, and the shovels, and the basons: and all these vessels, which Hiram made to king Solomon for the house of the LORD, were of bright brass.(KJV-1611) 1Ki 7:45 plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo. Tou sa Iram te fè pou Tanp Seyè a te fèt an kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:46 ============ 1Ki 7:46 In the plain of Jordan did the king cast them, in the clay ground between Succoth and Zarthan.(KJV-1611) 1Ki 7:46 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:47 ============ 1Ki 7:47 And Solomon left all the vessels unweighed, because they were exceeding many: neither was the weight of the brass found out.(KJV-1611) 1Ki 7:47 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konnen pèz yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:48 ============ 1Ki 7:48 And Solomon made all the vessels that pertained unto the house of the LORD: the altar of gold, and the table of gold, whereupon the shewbread was,(KJV-1611) 1Ki 7:48 Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:49 ============ 1Ki 7:49 And the candlesticks of pure gold, five on the right side, and five on the left, before the oracle, with the flowers, and the lamps, and the tongs of gold,(KJV-1611) 1Ki 7:49 dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:50 ============ 1Ki 7:50 And the bowls, and the snuffers, and the basons, and the spoons, and the censers of pure gold; and the hinges of gold, both for the doors of the inner house, the most holy place, and for the doors of the house, to wit, of the temple.(KJV-1611) 1Ki 7:50 gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 7:51 ============ 1Ki 7:51 So was ended all the work that king Solomon made for the house of the LORD. And Solomon brought in the things which David his father had dedicated; even the silver, and the gold, and the vessels, did he put among the treasures of the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 7:51 Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:1 ============ 1Ki 8:1 Then Solomon assembled the elders of Israel, and all the heads of the tribes, the chief of the fathers of the children of Israel, unto king Solomon in Jerusalem, that they might bring up the ark of the covenant of the LORD out of the city of David, which is Zion.(KJV-1611) 1Ki 8:1 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:2 ============ 1Ki 8:2 And all the men of Israel assembled themselves unto king Solomon at the feast in the month Ethanim, which is the seventh month.(KJV-1611) 1Ki 8:2 Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:3 ============ 1Ki 8:3 And all the elders of Israel came, and the priests took up the ark.(KJV-1611) 1Ki 8:3 Lè tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo reyini, prèt yo pran Bwat Kontra a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:4 ============ 1Ki 8:4 And they brought up the ark of the LORD, and the tabernacle of the congregation, and all the holy vessels that were in the tabernacle, even those did the priests and the Levites bring up.(KJV-1611) 1Ki 8:4 yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay ki te apa pou Seyè a nan Tant Randevou a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:5 ============ 1Ki 8:5 And king Solomon, and all the congregation of Israel, that were assembled unto him, were with him before the ark, sacrificing sheep and oxen, that could not be told nor numbered for multitude.(KJV-1611) 1Ki 8:5 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:6 ============ 1Ki 8:6 And the priests brought in the ark of the covenant of the LORD unto his place, into the oracle of the house, to the most holy place, even under the wings of the cherubims.(KJV-1611) 1Ki 8:6 Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:7 ============ 1Ki 8:7 For the cherubims spread forth their two wings over the place of the ark, and the cherubims covered the ark and the staves thereof above.(KJV-1611) 1Ki 8:7 Zèl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:8 ============ 1Ki 8:8 And they drew out the staves, that the ends of the staves were seen out in the holy place before the oracle, and they were not seen without: and there they are unto this day.(KJV-1611) 1Ki 8:8 Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:9 ============ 1Ki 8:9 There was nothing in the ark save the two tables of stone, which Moses put there at Horeb, when the LORD made a covenant with the children of Israel, when they came out of the land of Egypt.(KJV-1611) 1Ki 8:9 Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mòn Orèb la. Se sou de wòch sa yo Seyè a te make kontra li te pase avèk moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:10 ============ 1Ki 8:10 And it came to pass, when the priests were come out of the holy place, that the cloud filled the house of the LORD,(KJV-1611) 1Ki 8:10 Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:11 ============ 1Ki 8:11 So that the priests could not stand to minister because of the cloud: for the glory of the LORD had filled the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 8:11 Poutèt nwaj la prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:12 ============ 1Ki 8:12 Then spake Solomon, The LORD said that he would dwell in the thick darkness.(KJV-1611) 1Ki 8:12 Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:13 ============ 1Ki 8:13 I have surely built thee an house to dwell in, a settled place for thee to abide in for ever.(KJV-1611) 1Ki 8:13 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:14 ============ 1Ki 8:14 And the king turned his face about, and blessed all the congregation of Israel: (and all the congregation of Israel stood;)(KJV-1611) 1Ki 8:14 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, li di konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:15 ============ 1Ki 8:15 And he said, Blessed be the LORD God of Israel, which spake with his mouth unto David my father, and hath with his hand fulfilled it, saying,(KJV-1611) 1Ki 8:15 -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m', lè li te di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:16 ============ 1Ki 8:16 Since the day that I brought forth my people Israel out of Egypt, I chose no city out of all the tribes of Israel to build an house, that my name might be therein; but I chose David to be over my people Israel.(KJV-1611) 1Ki 8:16 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:17 ============ 1Ki 8:17 And it was in the heart of David my father to build an house for the name of the LORD God of Israel.(KJV-1611) 1Ki 8:17 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:18 ============ 1Ki 8:18 And the LORD said unto David my father, Whereas it was in thine heart to build an house unto my name, thou didst well that it was in thine heart.(KJV-1611) 1Ki 8:18 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon tanp pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:19 ============ 1Ki 8:19 Nevertheless thou shalt not build the house; but thy son that shall come forth out of thy loins, he shall build the house unto my name.(KJV-1611) 1Ki 8:19 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati Tanp lan pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:20 ============ 1Ki 8:20 And the LORD hath performed his word that he spake, and I am risen up in the room of David my father, and sit on the throne of Israel, as the LORD promised, and have built an house for the name of the LORD God of Israel.(KJV-1611) 1Ki 8:20 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa a Izrayèl la, mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:21 ============ 1Ki 8:21 And I have set there a place for the ark, wherein is the covenant of the LORD, which he made with our fathers, when he brought them out of the land of Egypt.(KJV-1611) 1Ki 8:21 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a ki gen de moso wòch plat kote Seyè a te ekri kontra li te pase ak zansèt nou yo lè li te fè yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:22 ============ 1Ki 8:22 And Solomon stood before the altar of the LORD in the presence of all the congregation of Israel, and spread forth his hands toward heaven:(KJV-1611) 1Ki 8:22 Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:23 ============ 1Ki 8:23 And he said, LORD God of Israel, there is no God like thee, in heaven above, or on earth beneath, who keepest covenant and mercy with thy servants that walk before thee with all their heart:(KJV-1611) 1Ki 8:23 li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:24 ============ 1Ki 8:24 Who hast kept with thy servant David my father that thou promisedst him: thou spakest also with thy mouth, and hast fulfilled it with thine hand, as it is this day.(KJV-1611) 1Ki 8:24 Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m' lan. Tou sa ou te di, ou fè l' rive vre jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:25 ============ 1Ki 8:25 Therefore now, LORD God of Israel, keep with thy servant David my father that thou promisedst him, saying, There shall not fail thee a man in my sight to sit on the throne of Israel; so that thy children take heed to their way, that they walk before me as thou hast walked before me.(KJV-1611) 1Ki 8:25 Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:26 ============ 1Ki 8:26 And now, O God of Israel, let thy word, I pray thee, be verified, which thou spakest unto thy servant David my father.(KJV-1611) 1Ki 8:26 Se konsa, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, papa m', sèvitè ou la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:27 ============ 1Ki 8:27 But will God indeed dwell on the earth? behold, the heaven and heaven of heavens cannot contain thee; how much less this house that I have builded?(KJV-1611) 1Ki 8:27 Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:28 ============ 1Ki 8:28 Yet have thou respect unto the prayer of thy servant, and to his supplication, O LORD my God, to hearken unto the cry and to the prayer, which thy servant prayeth before thee to day:(KJV-1611) 1Ki 8:28 Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:29 ============ 1Ki 8:29 That thine eyes may be open toward this house night and day, even toward the place of which thou hast said, My name shall be there: that thou mayest hearken unto the prayer which thy servant shall make toward this place.(KJV-1611) 1Ki 8:29 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:30 ============ 1Ki 8:30 And hearken thou to the supplication of thy servant, and of thy people Israel, when they shall pray toward this place: and hear thou in heaven thy dwelling place: and when thou hearest, forgive.(KJV-1611) 1Ki 8:30 Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:31 ============ 1Ki 8:31 If any man trespass against his neighbour, and an oath be laid upon him to cause him to swear, and the oath come before thine altar in this house:(KJV-1611) 1Ki 8:31 Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:32 ============ 1Ki 8:32 Then hear thou in heaven, and do, and judge thy servants, condemning the wicked, to bring his way upon his head; and justifying the righteous, to give him according to his righteousness.(KJV-1611) 1Ki 8:32 ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la, w'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:33 ============ 1Ki 8:33 When thy people Israel be smitten down before the enemy, because they have sinned against thee, and shall turn again to thee, and confess thy name, and pray, and make supplication unto thee in this house:(KJV-1611) 1Ki 8:33 Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, Bondye, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit nan Tanp sa a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:34 ============ 1Ki 8:34 Then hear thou in heaven, and forgive the sin of thy people Israel, and bring them again unto the land which thou gavest unto their fathers.(KJV-1611) 1Ki 8:34 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:35 ============ 1Ki 8:35 When heaven is shut up, and there is no rain, because they have sinned against thee; if they pray toward this place, and confess thy name, and turn from their sin, when thou afflictest them:(KJV-1611) 1Ki 8:35 Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo rele non ou,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:36 ============ 1Ki 8:36 Then hear thou in heaven, and forgive the sin of thy servants, and of thy people Israel, that thou teach them the good way wherein they should walk, and give rain upon thy land, which thou hast given to thy people for an inheritance.(KJV-1611) 1Ki 8:36 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche wa a ansanm ak peche pèp Izrayèl la. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou rele l' pa l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:37 ============ 1Ki 8:37 If there be in the land famine, if there be pestilence, blasting, mildew, locust, or if there be caterpiller; if their enemy besiege them in the land of their cities; whatsoever plague, whatsoever sickness there be;(KJV-1611) 1Ki 8:37 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:38 ============ 1Ki 8:38 What prayer and supplication soever be made by any man, or by all thy people Israel, which shall know every man the plague of his own heart, and spread forth his hands toward this house:(KJV-1611) 1Ki 8:38 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyè ou,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:39 ============ 1Ki 8:39 Then hear thou in heaven thy dwelling place, and forgive, and do, and give to every man according to his ways, whose heart thou knowest; (for thou, even thou only, knowest the hearts of all the children of men;)(KJV-1611) 1Ki 8:39 tanpri, koute lapriyè yo, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, padonnen yo, fè sa ou gen pou fè a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo chak. Se ou menm sèlman ki konnen sa ki nan fon kè moun.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:40 ============ 1Ki 8:40 That they may fear thee all the days that they live in the land which thou gavest unto our fathers.(KJV-1611) 1Ki 8:40 Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:41 ============ 1Ki 8:41 Moreover concerning a stranger, that is not of thy people Israel, but cometh out of a far country for thy name's sake;(KJV-1611) 1Ki 8:41 Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini isit la poutèt ou,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:42 ============ 1Ki 8:42 (For they shall hear of thy great name, and of thy strong hand, and of thy stretched out arm;) when he shall come and pray toward this house;(KJV-1611) 1Ki 8:42 paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:43 ============ 1Ki 8:43 Hear thou in heaven thy dwelling place, and do according to all that the stranger calleth to thee for: that all people of the earth may know thy name, to fear thee, as do thy people Israel; and that they may know that this house, which I have builded, is called by thy name.(KJV-1611) 1Ki 8:43 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:44 ============ 1Ki 8:44 If thy people go out to battle against their enemy, whithersoever thou shalt send them, and shall pray unto the LORD toward the city which thou hast chosen, and toward the house that I have built for thy name:(KJV-1611) 1Ki 8:44 Lè pèp ou a va pati al goumen ak lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:45 ============ 1Ki 8:45 Then hear thou in heaven their prayer and their supplication, and maintain their cause.(KJV-1611) 1Ki 8:45 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:46 ============ 1Ki 8:46 If they sin against thee, (for there is no man that sinneth not,) and thou be angry with them, and deliver them to the enemy, so that they carry them away captives unto the land of the enemy, far or near;(KJV-1611) 1Ki 8:46 Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:47 ============ 1Ki 8:47 Yet if they shall bethink themselves in the land whither they were carried captives, and repent, and make supplication unto thee in the land of them that carried them captives, saying, We have sinned, and have done perversely, we have committed wickedness;(KJV-1611) 1Ki 8:47 antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:48 ============ 1Ki 8:48 And so return unto thee with all their heart, and with all their soul, in the land of their enemies, which led them away captive, and pray unto thee toward their land, which thou gavest unto their fathers, the city which thou hast chosen, and the house which I have built for thy name:(KJV-1611) 1Ki 8:48 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:49 ============ 1Ki 8:49 Then hear thou their prayer and their supplication in heaven thy dwelling place, and maintain their cause,(KJV-1611) 1Ki 8:49 tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:50 ============ 1Ki 8:50 And forgive thy people that have sinned against thee, and all their transgressions wherein they have transgressed against thee, and give them compassion before them who carried them captive, that they may have compassion on them:(KJV-1611) 1Ki 8:50 Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fè lènmi ki te depòte yo gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:51 ============ 1Ki 8:51 For they be thy people, and thine inheritance, which thou broughtest forth out of Egypt, from the midst of the furnace of iron:(KJV-1611) 1Ki 8:51 Paske, se pèp ki rele ou pa ou la yo ye, pèp ou menm ou te fè soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:52 ============ 1Ki 8:52 That thine eyes may be open unto the supplication of thy servant, and unto the supplication of thy people Israel, to hearken unto them in all that they call for unto thee.(KJV-1611) 1Ki 8:52 Seyè, Bondye, louvri je ou! Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la, chak fwa n'ap rele pou mande ou sekou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:53 ============ 1Ki 8:53 For thou didst separate them from among all the people of the earth, to be thine inheritance, as thou spakest by the hand of Moses thy servant, when thou broughtest our fathers out of Egypt, O LORD God.(KJV-1611) 1Ki 8:53 Se ou menm ki te chwazi nou nan mitan tout lòt pèp sou latè pou nou te ka rele ou pa ou, jan ou te di l' nan bouch Moyiz, sèvitè ou la, lè ou te fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:54 ============ 1Ki 8:54 And it was so, that when Solomon had made an end of praying all this prayer and supplication unto the LORD, he arose from before the altar of the LORD, from kneeling on his knees with his hands spread up to heaven.(KJV-1611) 1Ki 8:54 Pandan Salomon t'ap fè lapriyè sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotèl la, de bra leve anlè. Lè li fini, li leve.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:55 ============ 1Ki 8:55 And he stood, and blessed all the congregation of Israel with a loud voice, saying,(KJV-1611) 1Ki 8:55 Li kanpe, li mande Bondye pou l' voye benediksyon l' sou tout pèp Izrayèl la ki te sanble la a. Li pale byen fò, li di:(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:56 ============ 1Ki 8:56 Blessed be the LORD, that hath given rest unto his people Israel, according to all that he promised: there hath not failed one word of all his good promise, which he promised by the hand of Moses his servant.(KJV-1611) 1Ki 8:56 -Lwanj pou Seyè a ki bay pèp Izrayèl la kè poze, jan li te pwomèt la. Li kenbe tout bèl pwomès li te fè nan bouch Moyiz, sèvitè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:57 ============ 1Ki 8:57 The LORD our God be with us, as he was with our fathers: let him not leave us, nor forsake us:(KJV-1611) 1Ki 8:57 Koulye a, mwen mande pou Seyè a, Bondye nou an, toujou kanpe la avèk nou jan li te toujou kanpe la ak zansèt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:58 ============ 1Ki 8:58 That he may incline our hearts unto him, to walk in all his ways, and to keep his commandments, and his statutes, and his judgments, which he commanded our fathers.(KJV-1611) 1Ki 8:58 Se pou li fè nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fè volonte l' nan tout sa n'ap fè, pou nou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li te bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:59 ============ 1Ki 8:59 And let these my words, wherewith I have made supplication before the LORD, be nigh unto the LORD our God day and night, that he maintain the cause of his servant, and the cause of his people Israel at all times, as the matter shall require:(KJV-1611) 1Ki 8:59 Se pou Seyè a, Bondye nou an, pa janm bliye lapriyè sa yo mwen sot fè nan pye l' la. Se pou l' toujou gen pitye pou pèp Izrayèl la ansanm ak wa a, sèvitè li a, dapre sa y'a bezwen chak jou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:60 ============ 1Ki 8:60 That all the people of the earth may know that the LORD is God, and that there is none else.(KJV-1611) 1Ki 8:60 Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:61 ============ 1Ki 8:61 Let your heart therefore be perfect with the LORD our God, to walk in his statutes, and to keep his commandments, as at this day.(KJV-1611) 1Ki 8:61 Se pou nou toujou kenbe pye Seyè a, Bondye nou an, fèm. Se pou nou mache dapre lòd li ban nou, pou nou fè tou sa li mande nou fè tankou jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:62 ============ 1Ki 8:62 And the king, and all Israel with him, offered sacrifice before the LORD.(KJV-1611) 1Ki 8:62 Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:63 ============ 1Ki 8:63 And Solomon offered a sacrifice of peace offerings, which he offered unto the LORD, two and twenty thousand oxen, and an hundred and twenty thousand sheep. So the king and all the children of Israel dedicated the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 8:63 Salomon te ofri venndemil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:64 ============ 1Ki 8:64 The same day did the king hallow the middle of the court that was before the house of the LORD: for there he offered burnt offerings, and meat offerings, and the fat of the peace offerings: because the brasen altar that was before the LORD was too little to receive the burnt offerings, and meat offerings, and the fat of the peace offerings.(KJV-1611) 1Ki 8:64 Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:65 ============ 1Ki 8:65 And at that time Solomon held a feast, and all Israel with him, a great congregation, from the entering in of Hamath unto the river of Egypt, before the LORD our God, seven days and seven days, even fourteen days.(KJV-1611) 1Ki 8:65 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 8:66 ============ 1Ki 8:66 On the eighth day he sent the people away: and they blessed the king, and went unto their tents joyful and glad of heart for all the goodness that the LORD had done for David his servant, and for Israel his people.(KJV-1611) 1Ki 8:66 Sou wityèm jou a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè lwanj li, y' al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tout benediksyon Seyè a te bay David, sèvitè l' la, ansanm ak pèp Izrayèl li a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:1 ============ 1Ki 9:1 And it came to pass, when Solomon had finished the building of the house of the LORD, and the king's house, and all Solomon's desire which he was pleased to do,(KJV-1611) 1Ki 9:1 Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:2 ============ 1Ki 9:2 That the LORD appeared to Solomon the second time, as he had appeared unto him at Gibeon.(KJV-1611) 1Ki 9:2 Seyè a te fè Salomon wè l' ankò, menm jan li te fè l' wè l' lavil Gabawon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:3 ============ 1Ki 9:3 And the LORD said unto him, I have heard thy prayer and thy supplication, that thou hast made before me: I have hallowed this house, which thou hast built, to put my name there for ever; and mine eyes and mine heart shall be there perpetually.(KJV-1611) 1Ki 9:3 Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:4 ============ 1Ki 9:4 And if thou wilt walk before me, as David thy father walked, in integrity of heart, and in uprightness, to do according to all that I have commanded thee, and wilt keep my statutes and my judgments:(KJV-1611) 1Ki 9:4 Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:5 ============ 1Ki 9:5 Then I will establish the throne of thy kingdom upon Israel for ever, as I promised to David thy father, saying, There shall not fail thee a man upon the throne of Israel.(KJV-1611) 1Ki 9:5 m'a kenbe pwomès mwen te fè David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:6 ============ 1Ki 9:6 But if ye shall at all turn from following me, ye or your children, and will not keep my commandments and my statutes which I have set before you, but go and serve other gods, and worship them:(KJV-1611) 1Ki 9:6 Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:7 ============ 1Ki 9:7 Then will I cut off Israel out of the land which I have given them; and this house, which I have hallowed for my name, will I cast out of my sight; and Israel shall be a proverb and a byword among all people:(KJV-1611) 1Ki 9:7 lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:8 ============ 1Ki 9:8 And at this house, which is high, every one that passeth by it shall be astonished, and shall hiss; and they shall say, Why hath the LORD done thus unto this land, and to this house?(KJV-1611) 1Ki 9:8 Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:9 ============ 1Ki 9:9 And they shall answer, Because they forsook the LORD their God, who brought forth their fathers out of the land of Egypt, and have taken hold upon other gods, and have worshipped them, and served them: therefore hath the LORD brought upon them all this evil.(KJV-1611) 1Ki 9:9 y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye malè sa a sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:10 ============ 1Ki 9:10 And it came to pass at the end of twenty years, when Solomon had built the two houses, the house of the LORD, and the king's house,(KJV-1611) 1Ki 9:10 Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:11 ============ 1Ki 9:11 (Now Hiram the king of Tyre had furnished Solomon with cedar trees and fir trees, and with gold, according to all his desire,) that then king Solomon gave Hiram twenty cities in the land of Galilee.(KJV-1611) 1Ki 9:11 Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:12 ============ 1Ki 9:12 And Hiram came out from Tyre to see the cities which Solomon had given him; and they pleased him not.(KJV-1611) 1Ki 9:12 Iram kite peyi l', Tir, li desann al wè lavil Salomon te ba li yo. Men, li pa t' renmen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:13 ============ 1Ki 9:13 And he said, What cities are these which thou hast given me, my brother? And he called them the land of Cabul unto this day.(KJV-1611) 1Ki 9:13 Li di Salomon konsa: -Se lavil sa yo ou wè pou ou ban mwen, frè mwen! Yo pa vo anyen. Se poutèt sa, depi lè sa a rive jòdi a, yo rele zòn sa a Nan Kaboul.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:14 ============ 1Ki 9:14 And Hiram sent to the king sixscore talents of gold.(KJV-1611) 1Ki 9:14 Iram te voye senk tòn lò an total bay Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:15 ============ 1Ki 9:15 And this is the reason of the levy which king Solomon raised; for to build the house of the LORD, and his own house, and Millo, and the wall of Jerusalem, and Hazor, and Megiddo, and Gezer.(KJV-1611) 1Ki 9:15 Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:16 ============ 1Ki 9:16 For Pharaoh king of Egypt had gone up, and taken Gezer, and burnt it with fire, and slain the Canaanites that dwelt in the city, and given it for a present unto his daughter, Solomon's wife.(KJV-1611) 1Ki 9:16 Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:17 ============ 1Ki 9:17 And Solomon built Gezer, and Bethhoron the nether,(KJV-1611) 1Ki 9:17 Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an,(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:18 ============ 1Ki 9:18 And Baalath, and Tadmor in the wilderness, in the land,(KJV-1611) 1Ki 9:18 lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:19 ============ 1Ki 9:19 And all the cities of store that Solomon had, and cities for his chariots, and cities for his horsemen, and that which Solomon desired to build in Jerusalem, and in Lebanon, and in all the land of his dominion.(KJV-1611) 1Ki 9:19 Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:20 ============ 1Ki 9:20 And all the people that were left of the Amorites, Hittites, Perizzites, Hivites, and Jebusites, which were not of the children of Israel,(KJV-1611) 1Ki 9:20 Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:21 ============ 1Ki 9:21 Their children that were left after them in the land, whom the children of Israel also were not able utterly to destroy, upon those did Solomon levy a tribute of bondservice unto this day.(KJV-1611) 1Ki 9:21 Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:22 ============ 1Ki 9:22 But of the children of Israel did Solomon make no bondmen: but they were men of war, and his servants, and his princes, and his captains, and rulers of his chariots, and his horsemen.(KJV-1611) 1Ki 9:22 Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:23 ============ 1Ki 9:23 These were the chief of the officers that were over Solomon's work, five hundred and fifty, which bare rule over the people that wrought in the work.(KJV-1611) 1Ki 9:23 Te gen senksansenkant fòmann gouvènè yo te nonmen reskonsab travay li yo. Se yo ki t'ap dirije moun ki t'ap travay yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:24 ============ 1Ki 9:24 But Pharaoh's daughter came up out of the city of David unto her house which Solomon had built for her: then did he build Millo.(KJV-1611) 1Ki 9:24 Pitit fi farawon an kite Lavil David la, l' al rete nan palè Salomon te bati pou li a. Se apre sa Salomon fè ranbleye pòsyon ki bay sou solèy leve a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:25 ============ 1Ki 9:25 And three times in a year did Solomon offer burnt offerings and peace offerings upon the altar which he built unto the LORD, and he burnt incense upon the altar that was before the LORD. So he finished the house.(KJV-1611) 1Ki 9:25 Twa fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Seyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Seyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:26 ============ 1Ki 9:26 And king Solomon made a navy of ships in Eziongeber, which is beside Eloth, on the shore of the Red sea, in the land of Edom.(KJV-1611) 1Ki 9:26 Wa Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou Edon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:27 ============ 1Ki 9:27 And Hiram sent in the navy his servants, shipmen that had knowledge of the sea, with the servants of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 9:27 wa Iram te voye kèk moun peyi l' ki te bon maren pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 9:28 ============ 1Ki 9:28 And they came to Ophir, and fetched from thence gold, four hundred and twenty talents, and brought it to king Solomon.(KJV-1611) 1Ki 9:28 Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:1 ============ 1Ki 10:1 And when the queen of Sheba heard of the fame of Solomon concerning the name of the LORD, she came to prove him with hard questions.(KJV-1611) 1Ki 10:1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:2 ============ 1Ki 10:2 And she came to Jerusalem with a very great train, with camels that bare spices, and very much gold, and precious stones: and when she was come to Solomon, she communed with him of all that was in her heart.(KJV-1611) 1Ki 10:2 Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:3 ============ 1Ki 10:3 And Solomon told her all her questions: there was not any thing hid from the king, which he told her not.(KJV-1611) 1Ki 10:3 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:4 ============ 1Ki 10:4 And when the queen of Sheba had seen all Solomon's wisdom, and the house that he had built,(KJV-1611) 1Ki 10:4 Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:5 ============ 1Ki 10:5 And the meat of his table, and the sitting of his servants, and the attendance of his ministers, and their apparel, and his cupbearers, and his ascent by which he went up unto the house of the LORD; there was no more spirit in her.(KJV-1611) 1Ki 10:5 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:6 ============ 1Ki 10:6 And she said to the king, It was a true report that I heard in mine own land of thy acts and of thy wisdom.(KJV-1611) 1Ki 10:6 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:7 ============ 1Ki 10:7 Howbeit I believed not the words, until I came, and mine eyes had seen it: and, behold, the half was not told me: thy wisdom and prosperity exceedeth the fame which I heard.(KJV-1611) 1Ki 10:7 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:8 ============ 1Ki 10:8 Happy are thy men, happy are these thy servants, which stand continually before thee, and that hear thy wisdom.(KJV-1611) 1Ki 10:8 Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:9 ============ 1Ki 10:9 Blessed be the LORD thy God, which delighted in thee, to set thee on the throne of Israel: because the LORD loved Israel for ever, therefore made he thee king, to do judgment and justice.(KJV-1611) 1Ki 10:9 Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:10 ============ 1Ki 10:10 And she gave the king an hundred and twenty talents of gold, and of spices very great store, and precious stones: there came no more such abundance of spices as these which the queen of Sheba gave to king Solomon.(KJV-1611) 1Ki 10:10 Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:11 ============ 1Ki 10:11 And the navy also of Hiram, that brought gold from Ophir, brought in from Ophir great plenty of almug trees, and precious stones.(KJV-1611) 1Ki 10:11 Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:12 ============ 1Ki 10:12 And the king made of the almug trees pillars for the house of the LORD, and for the king's house, harps also and psalteries for singers: there came no such almug trees, nor were seen unto this day.(KJV-1611) 1Ki 10:12 Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:13 ============ 1Ki 10:13 And king Solomon gave unto the queen of Sheba all her desire, whatsoever she asked, beside that which Solomon gave her of his royal bounty. So she turned and went to her own country, she and her servants.(KJV-1611) 1Ki 10:13 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:14 ============ 1Ki 10:14 Now the weight of gold that came to Solomon in one year was six hundred threescore and six talents of gold,(KJV-1611) 1Ki 10:14 Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:15 ============ 1Ki 10:15 Beside that he had of the merchantmen, and of the traffick of the spice merchants, and of all the kings of Arabia, and of the governors of the country.(KJV-1611) 1Ki 10:15 san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:16 ============ 1Ki 10:16 And king Solomon made two hundred targets of beaten gold: six hundred shekels of gold went to one target.(KJV-1611) 1Ki 10:16 Salomon te fè fè desan gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:17 ============ 1Ki 10:17 And he made three hundred shields of beaten gold; three pound of gold went to one shield: and the king put them in the house of the forest of Lebanon.(KJV-1611) 1Ki 10:17 Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:18 ============ 1Ki 10:18 Moreover the king made a great throne of ivory, and overlaid it with the best gold.(KJV-1611) 1Ki 10:18 Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:19 ============ 1Ki 10:19 The throne had six steps, and the top of the throne was round behind: and there were stays on either side on the place of the seat, and two lions stood beside the stays.(KJV-1611) 1Ki 10:19 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:20 ============ 1Ki 10:20 And twelve lions stood there on the one side and on the other upon the six steps: there was not the like made in any kingdom.(KJV-1611) 1Ki 10:20 Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:21 ============ 1Ki 10:21 And all king Solomon's drinking vessels were of gold, and all the vessels of the house of the forest of Lebanon were of pure gold; none were of silver: it was nothing accounted of in the days of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 10:21 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:22 ============ 1Ki 10:22 For the king had at sea a navy of Tharshish with the navy of Hiram: once in three years came the navy of Tharshish, bringing gold, and silver, ivory, and apes, and peacocks.(KJV-1611) 1Ki 10:22 Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:23 ============ 1Ki 10:23 So king Solomon exceeded all the kings of the earth for riches and for wisdom.(KJV-1611) 1Ki 10:23 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:24 ============ 1Ki 10:24 And all the earth sought to Solomon, to hear his wisdom, which God had put in his heart.(KJV-1611) 1Ki 10:24 Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:25 ============ 1Ki 10:25 And they brought every man his present, vessels of silver, and vessels of gold, and garments, and armour, and spices, horses, and mules, a rate year by year.(KJV-1611) 1Ki 10:25 Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:26 ============ 1Ki 10:26 And Solomon gathered together chariots and horsemen: and he had a thousand and four hundred chariots, and twelve thousand horsemen, whom he bestowed in the cities for chariots, and with the king at Jerusalem.(KJV-1611) 1Ki 10:26 Salomon te sanble mil katsan chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:27 ============ 1Ki 10:27 And the king made silver to be in Jerusalem as stones, and cedars made he to be as the sycomore trees that are in the vale, for abundance.(KJV-1611) 1Ki 10:27 Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:28 ============ 1Ki 10:28 And Solomon had horses brought out of Egypt, and linen yarn: the king's merchants received the linen yarn at a price.(KJV-1611) 1Ki 10:28 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 10:29 ============ 1Ki 10:29 And a chariot came up and went out of Egypt for six hundred shekels of silver, and an horse for an hundred and fifty: and so for all the kings of the Hittites, and for the kings of Syria, did they bring them out by their means.(KJV-1611) 1Ki 10:29 Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:1 ============ 1Ki 11:1 But king Solomon loved many strange women, together with the daughter of Pharaoh, women of the Moabites, Ammonites, Edomites, Zidonians, and Hittites:(KJV-1611) 1Ki 11:1 Salomon te renmen ak anpil fanm ki moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa peyi Lejip la, li te gen fanm ki soti nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon, nan peyi Sidon ak nan peyi Et.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:2 ============ 1Ki 11:2 Of the nations concerning which the LORD said unto the children of Israel, Ye shall not go in to them, neither shall they come in unto you: for surely they will turn away your heart after their gods: Solomon clave unto these in love.(KJV-1611) 1Ki 11:2 Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:3 ============ 1Ki 11:3 And he had seven hundred wives, princesses, and three hundred concubines: and his wives turned away his heart.(KJV-1611) 1Ki 11:3 Salomon te marye ak sètsan fanm kay. Medam sa yo fè l' vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:4 ============ 1Ki 11:4 For it came to pass, when Solomon was old, that his wives turned away his heart after other gods: and his heart was not perfect with the LORD his God, as was the heart of David his father.(KJV-1611) 1Ki 11:4 Lè Salomon konmanse granmoun, medam yo pran tèt li, yo fè l' al sèvi lòt bondye. Li pa sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li ankò, jan David, papa l', te fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:5 ============ 1Ki 11:5 For Solomon went after Ashtoreth the goddess of the Zidonians, and after Milcom the abomination of the Ammonites.(KJV-1611) 1Ki 11:5 Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:6 ============ 1Ki 11:6 And Solomon did evil in the sight of the LORD, and went not fully after the LORD, as did David his father.(KJV-1611) 1Ki 11:6 Salomon tanmen fè sa ki mal devan Seyè a. Li pa sèvi l' ak tout kè li jan David, papa l', te fè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:7 ============ 1Ki 11:7 Then did Solomon build an high place for Chemosh, the abomination of Moab, in the hill that is before Jerusalem, and for Molech, the abomination of the children of Ammon.(KJV-1611) 1Ki 11:7 Sou mòn ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, li bati de tanp, yonn kote yo fè sèvis pou Kemòch, vye zidòl degoutan peyi Moab la, ak yonn kote yo fè sèvis pou Molòk, vye zidòl degoutan peyi Amon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:8 ============ 1Ki 11:8 And likewise did he for all his strange wives, which burnt incense and sacrificed unto their gods.(KJV-1611) 1Ki 11:8 Se konsa li bati lòt tanp kote pou medam lòt nasyon li te marye yo al boule lansan ak ofri bèt pou touye pou bondye pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:9 ============ 1Ki 11:9 And the LORD was angry with Solomon, because his heart was turned from the LORD God of Israel, which had appeared unto him twice,(KJV-1611) 1Ki 11:9 Seyè a move sou Salomon paske Salomon te vire do bay Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Atout Seyè a te parèt de fwa devan Salomon,(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:10 ============ 1Ki 11:10 And had commanded him concerning this thing, that he should not go after other gods: but he kept not that which the LORD commanded.(KJV-1611) 1Ki 11:10 atout li te ba li lòd pou li pa sèvi bondye lòt nasyon yo, Salomon pa t' koute Seyè a, li pa swiv lòd li yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:11 ============ 1Ki 11:11 Wherefore the LORD said unto Solomon, Forasmuch as this is done of thee, and thou hast not kept my covenant and my statutes, which I have commanded thee, I will surely rend the kingdom from thee, and will give it to thy servant.(KJV-1611) 1Ki 11:11 Seyè a di Salomon konsa: -Gade sa ou fè! Ou pa respekte kontra mwen te pase avè ou la, ou pa fè sa m' te ba ou lòd fè. M'ap wete baton kòmandman an nan men ou, m'ap mete yonn nan chèf ou yo nan plas ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:12 ============ 1Ki 11:12 Notwithstanding in thy days I will not do it for David thy father's sake: but I will rend it out of the hand of thy son.(KJV-1611) 1Ki 11:12 Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:13 ============ 1Ki 11:13 Howbeit I will not rend away all the kingdom; but will give one tribe to thy son for David my servant's sake, and for Jerusalem's sake which I have chosen.(KJV-1611) 1Ki 11:13 Men, mwen p'ap wete tout peyi a nèt anba lòd li. Poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen chwazi pou rele m' pa m' lan, m'ap kite yon branch fanmi pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:14 ============ 1Ki 11:14 And the LORD stirred up an adversary unto Solomon, Hadad the Edomite: he was of the king's seed in Edom.(KJV-1611) 1Ki 11:14 Se konsa, Seyè a fè Adad, yon moun nan fanmi wa Edon an, leve dèyè Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:15 ============ 1Ki 11:15 For it came to pass, when David was in Edom, and Joab the captain of the host was gone up to bury the slain, after he had smitten every male in Edom;(KJV-1611) 1Ki 11:15 Men istwa Adad: Lontan sa, nan tan David t'ap fè lagè ak peyi Edon, Joab, kòmandan lame li a, te moute nan peyi Edon al antere kadav sòlda pèp Izrayèl yo ki te mouri nan lagè a. Lèfini, yo touye dènye gason ki te nan peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:16 ============ 1Ki 11:16 (For six months did Joab remain there with all Israel, until he had cut off every male in Edom:)(KJV-1611) 1Ki 11:16 Joab rete sis mwa nan peyi a ansanm ak tout lame a jouk yo fin touye dènye gason ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:17 ============ 1Ki 11:17 That Hadad fled, he and certain Edomites of his father's servants with him, to go into Egypt; Hadad being yet a little child.(KJV-1611) 1Ki 11:17 Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l' ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l'. Y' ale nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:18 ============ 1Ki 11:18 And they arose out of Midian, and came to Paran: and they took men with them out of Paran, and they came to Egypt, unto Pharaoh king of Egypt; which gave him an house, and appointed him victuals, and gave him land.(KJV-1611) 1Ki 11:18 Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l' rete ak yon pòsyon tè pou l' travay. Lèfini li ba li manje.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:19 ============ 1Ki 11:19 And Hadad found great favour in the sight of Pharaoh, so that he gave him to wife the sister of his own wife, the sister of Tahpenes the queen.(KJV-1611) 1Ki 11:19 Adad sitèlman vin bon zanmi farawon an, farawon an pran bèlsè li, sè larenn Takpènès, li bay Adad li pou madanm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:20 ============ 1Ki 11:20 And the sister of Tahpenes bare him Genubath his son, whom Tahpenes weaned in Pharaoh's house: and Genubath was in Pharaoh's household among the sons of Pharaoh.(KJV-1611) 1Ki 11:20 Madan Adad fè yon pitit gason yo te rele Gen ubat. Larenn Takpenès fè elve Gen ubat nan palè a kote li grandi ansanm ak tout pitit wa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:21 ============ 1Ki 11:21 And when Hadad heard in Egypt that David slept with his fathers, and that Joab the captain of the host was dead, Hadad said to Pharaoh, Let me depart, that I may go to mine own country.(KJV-1611) 1Ki 11:21 Lè nouvèl lanmò David ak lanmò Joab rive nan peyi Lejip, tonbe nan zòrèy Adad, Adad di farawon an konsa: -Kite m' tounen nan peyi m'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:22 ============ 1Ki 11:22 Then Pharaoh said unto him, But what hast thou lacked with me, that, behold, thou seekest to go to thine own country? And he answered, Nothing: howbeit let me go in any wise.(KJV-1611) 1Ki 11:22 Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:23 ============ 1Ki 11:23 And God stirred him up another adversary, Rezon the son of Eliadah, which fled from his lord Hadadezer king of Zobah:(KJV-1611) 1Ki 11:23 Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:24 ============ 1Ki 11:24 And he gathered men unto him, and became captain over a band, when David slew them of Zobah: and they went to Damascus, and dwelt therein, and reigned in Damascus.(KJV-1611) 1Ki 11:24 Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:25 ============ 1Ki 11:25 And he was an adversary to Israel all the days of Solomon, beside the mischief that Hadad did: and he abhorred Israel, and reigned over Syria.(KJV-1611) 1Ki 11:25 Pandan tout rèy wa Salomon, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:26 ============ 1Ki 11:26 And Jeroboam the son of Nebat, an Ephrathite of Zereda, Solomon's servant, whose mother's name was Zeruah, a widow woman, even he lifted up his hand against the king.(KJV-1611) 1Ki 11:26 Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:27 ============ 1Ki 11:27 And this was the cause that he lifted up his hand against the king: Solomon built Millo, and repaired the breaches of the city of David his father.(KJV-1611) 1Ki 11:27 Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:28 ============ 1Ki 11:28 And the man Jeroboam was a mighty man of valour: and Solomon seeing the young man that he was industrious, he made him ruler over all the charge of the house of Joseph.(KJV-1611) 1Ki 11:28 Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:29 ============ 1Ki 11:29 And it came to pass at that time when Jeroboam went out of Jerusalem, that the prophet Ahijah the Shilonite found him in the way; and he had clad himself with a new garment; and they two were alone in the field:(KJV-1611) 1Ki 11:29 Yon jou, Jewoboram te fèk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:30 ============ 1Ki 11:30 And Ahijah caught the new garment that was on him, and rent it in twelve pieces:(KJV-1611) 1Ki 11:30 Akija wete rad nèf ki te sou li a, li chire l' fè douz moso.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:31 ============ 1Ki 11:31 And he said to Jeroboam, Take thee ten pieces: for thus saith the LORD, the God of Israel, Behold, I will rend the kingdom out of the hand of Solomon, and will give ten tribes to thee:(KJV-1611) 1Ki 11:31 Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:32 ============ 1Ki 11:32 (But he shall have one tribe for my servant David's sake, and for Jerusalem's sake, the city which I have chosen out of all the tribes of Israel:)(KJV-1611) 1Ki 11:32 Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:33 ============ 1Ki 11:33 Because that they have forsaken me, and have worshipped Ashtoreth the goddess of the Zidonians, Chemosh the god of the Moabites, and Milcom the god of the children of Ammon, and have not walked in my ways, to do that which is right in mine eyes, and to keep my statutes and my judgments, as did David his father.(KJV-1611) 1Ki 11:33 Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:34 ============ 1Ki 11:34 Howbeit I will not take the whole kingdom out of his hand: but I will make him prince all the days of his life for David my servant's sake, whom I chose, because he kept my commandments and my statutes:(KJV-1611) 1Ki 11:34 Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:35 ============ 1Ki 11:35 But I will take the kingdom out of his son's hand, and will give it unto thee, even ten tribes.(KJV-1611) 1Ki 11:35 Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:36 ============ 1Ki 11:36 And unto his son will I give one tribe, that David my servant may have a light alway before me in Jerusalem, the city which I have chosen me to put my name there.(KJV-1611) 1Ki 11:36 M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:37 ============ 1Ki 11:37 And I will take thee, and thou shalt reign according to all that thy soul desireth, and shalt be king over Israel.(KJV-1611) 1Ki 11:37 Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:38 ============ 1Ki 11:38 And it shall be, if thou wilt hearken unto all that I command thee, and wilt walk in my ways, and do that is right in my sight, to keep my statutes and my commandments, as David my servant did; that I will be with thee, and build thee a sure house, as I built for David, and will give Israel unto thee.(KJV-1611) 1Ki 11:38 Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:39 ============ 1Ki 11:39 And I will for this afflict the seed of David, but not for ever.(KJV-1611) 1Ki 11:39 Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:40 ============ 1Ki 11:40 Solomon sought therefore to kill Jeroboam. And Jeroboam arose, and fled into Egypt, unto Shishak king of Egypt, and was in Egypt until the death of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 11:40 Se poutèt sa Salomon te soti pou l' touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:41 ============ 1Ki 11:41 And the rest of the acts of Solomon, and all that he did, and his wisdom, are they not written in the book of the acts of Solomon?(KJV-1611) 1Ki 11:41 Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:42 ============ 1Ki 11:42 And the time that Solomon reigned in Jerusalem over all Israel was forty years.(KJV-1611) 1Ki 11:42 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 11:43 ============ 1Ki 11:43 And Solomon slept with his fathers, and was buried in the city of David his father: and Rehoboam his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 11:43 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:1 ============ 1Ki 12:1 And Rehoboam went to Shechem: for all Israel were come to Shechem to make him king.(KJV-1611) 1Ki 12:1 Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:2 ============ 1Ki 12:2 And it came to pass, when Jeroboam the son of Nebat, who was yet in Egypt, heard of it, (for he was fled from the presence of king Solomon, and Jeroboam dwelt in Egypt;)(KJV-1611) 1Ki 12:2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:3 ============ 1Ki 12:3 That they sent and called him. And Jeroboam and all the congregation of Israel came, and spake unto Rehoboam, saying,(KJV-1611) 1Ki 12:3 Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, y' al jwenn Woboram, yo di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:4 ============ 1Ki 12:4 Thy father made our yoke grievous: now therefore make thou the grievous service of thy father, and his heavy yoke which he put upon us, lighter, and we will serve thee.(KJV-1611) 1Ki 12:4 -Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:5 ============ 1Ki 12:5 And he said unto them, Depart yet for three days, then come again to me. And the people departed.(KJV-1611) 1Ki 12:5 Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:6 ============ 1Ki 12:6 And king Rehoboam consulted with the old men, that stood before Solomon his father while he yet lived, and said, How do ye advise that I may answer this people?(KJV-1611) 1Ki 12:6 Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:7 ============ 1Ki 12:7 And they spake unto him, saying, If thou wilt be a servant unto this people this day, and wilt serve them, and answer them, and speak good words to them, then they will be thy servants for ever.(KJV-1611) 1Ki 12:7 Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:8 ============ 1Ki 12:8 But he forsook the counsel of the old men, which they had given him, and consulted with the young men that were grown up with him, and which stood before him:(KJV-1611) 1Ki 12:8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:9 ============ 1Ki 12:9 And he said unto them, What counsel give ye that we may answer this people, who have spoken to me, saying, Make the yoke which thy father did put upon us lighter?(KJV-1611) 1Ki 12:9 Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo?(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:10 ============ 1Ki 12:10 And the young men that were grown up with him spake unto him, saying, Thus shalt thou speak unto this people that spake unto thee, saying, Thy father made our yoke heavy, but make thou it lighter unto us; thus shalt thou say unto them, My little finger shall be thicker than my father's loins.(KJV-1611) 1Ki 12:10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:11 ============ 1Ki 12:11 And now whereas my father did lade you with a heavy yoke, I will add to your yoke: my father hath chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.(KJV-1611) 1Ki 12:11 Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:12 ============ 1Ki 12:12 So Jeroboam and all the people came to Rehoboam the third day, as the king had appointed, saying, Come to me again the third day.(KJV-1611) 1Ki 12:12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:13 ============ 1Ki 12:13 And the king answered the people roughly, and forsook the old men's counsel that they gave him;(KJV-1611) 1Ki 12:13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:14 ============ 1Ki 12:14 And spake to them after the counsel of the young men, saying, My father made your yoke heavy, and I will add to your yoke: my father also chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.(KJV-1611) 1Ki 12:14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:15 ============ 1Ki 12:15 Wherefore the king hearkened not unto the people; for the cause was from the LORD, that he might perform his saying, which the LORD spake by Ahijah the Shilonite unto Jeroboam the son of Nebat.(KJV-1611) 1Ki 12:15 Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:16 ============ 1Ki 12:16 So when all Israel saw that the king hearkened not unto them, the people answered the king, saying, What portion have we in David? neither have we inheritance in the son of Jesse: to your tents, O Israel: now see to thine own house, David. So Israel departed unto their tents.(KJV-1611) 1Ki 12:16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:17 ============ 1Ki 12:17 But as for the children of Israel which dwelt in the cities of Judah, Rehoboam reigned over them.(KJV-1611) 1Ki 12:17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:18 ============ 1Ki 12:18 Then king Rehoboam sent Adoram, who was over the tribute; and all Israel stoned him with stones, that he died. Therefore king Rehoboam made speed to get him up to his chariot, to flee to Jerusalem.(KJV-1611) 1Ki 12:18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:19 ============ 1Ki 12:19 So Israel rebelled against the house of David unto this day.(KJV-1611) 1Ki 12:19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:20 ============ 1Ki 12:20 And it came to pass, when all Israel heard that Jeroboam was come again, that they sent and called him unto the congregation, and made him king over all Israel: there was none that followed the house of David, but the tribe of Judah only.(KJV-1611) 1Ki 12:20 Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:21 ============ 1Ki 12:21 And when Rehoboam was come to Jerusalem, he assembled all the house of Judah, with the tribe of Benjamin, an hundred and fourscore thousand chosen men, which were warriors, to fight against the house of Israel, to bring the kingdom again to Rehoboam the son of Solomon.(KJV-1611) 1Ki 12:21 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l' al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l' mete yo anba lòd li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:22 ============ 1Ki 12:22 But the word of God came unto Shemaiah the man of God, saying,(KJV-1611) 1Ki 12:22 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:23 ============ 1Ki 12:23 Speak unto Rehoboam, the son of Solomon, king of Judah, and unto all the house of Judah and Benjamin, and to the remnant of the people, saying,(KJV-1611) 1Ki 12:23 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo:(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:24 ============ 1Ki 12:24 Thus saith the LORD, Ye shall not go up, nor fight against your brethren the children of Israel: return every man to his house; for this thing is from me. They hearkened therefore to the word of the LORD, and returned to depart, according to the word of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 12:24 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:25 ============ 1Ki 12:25 Then Jeroboam built Shechem in mount Ephraim, and dwelt therein; and went out from thence, and built Penuel.(KJV-1611) 1Ki 12:25 Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:26 ============ 1Ki 12:26 And Jeroboam said in his heart, Now shall the kingdom return to the house of David:(KJV-1611) 1Ki 12:26 Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:27 ============ 1Ki 12:27 If this people go up to do sacrifice in the house of the LORD at Jerusalem, then shall the heart of this people turn again unto their lord, even unto Rehoboam king of Judah, and they shall kill me, and go again to Rehoboam king of Judah.(KJV-1611) 1Ki 12:27 Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:28 ============ 1Ki 12:28 Whereupon the king took counsel, and made two calves of gold, and said unto them, It is too much for you to go up to Jerusalem: behold thy gods, O Israel, which brought thee up out of the land of Egypt.(KJV-1611) 1Ki 12:28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:29 ============ 1Ki 12:29 And he set the one in Bethel, and the other put he in Dan.(KJV-1611) 1Ki 12:29 Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:30 ============ 1Ki 12:30 And this thing became a sin: for the people went to worship before the one, even unto Dan.(KJV-1611) 1Ki 12:30 Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:31 ============ 1Ki 12:31 And he made an house of high places, and made priests of the lowest of the people, which were not of the sons of Levi.(KJV-1611) 1Ki 12:31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:32 ============ 1Ki 12:32 And Jeroboam ordained a feast in the eighth month, on the fifteenth day of the month, like unto the feast that is in Judah, and he offered upon the altar. So did he in Bethel, sacrificing unto the calves that he had made: and he placed in Bethel the priests of the high places which he had made.(KJV-1611) 1Ki 12:32 Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 12:33 ============ 1Ki 12:33 So he offered upon the altar which he had made in Bethel the fifteenth day of the eighth month, even in the month which he had devised of his own heart; and ordained a feast unto the children of Israel: and he offered upon the altar, and burnt incense.(KJV-1611) 1Ki 12:33 Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:1 ============ 1Ki 13:1 And, behold, there came a man of God out of Judah by the word of the LORD unto Bethel: and Jeroboam stood by the altar to burn incense.(KJV-1611) 1Ki 13:1 Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:2 ============ 1Ki 13:2 And he cried against the altar in the word of the LORD, and said, O altar, altar, thus saith the LORD; Behold, a child shall be born unto the house of David, Josiah by name; and upon thee shall he offer the priests of the high places that burn incense upon thee, and men's bones shall be burnt upon thee.(KJV-1611) 1Ki 13:2 Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:3 ============ 1Ki 13:3 And he gave a sign the same day, saying, This is the sign which the LORD hath spoken; Behold, the altar shall be rent, and the ashes that are upon it shall be poured out.(KJV-1611) 1Ki 13:3 Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:4 ============ 1Ki 13:4 And it came to pass, when king Jeroboam heard the saying of the man of God, which had cried against the altar in Bethel, that he put forth his hand from the altar, saying, Lay hold on him. And his hand, which he put forth against him, dried up, so that he could not pull it in again to him.(KJV-1611) 1Ki 13:4 Lè Jewoboram tande pawòl pwofèt la te di sou lotèl Betèl la, li lonje men l' anwo lotèl la sou pwofèt la, li di: -Pran msye! Men, men li te lonje sou pwofèt la rete tou rèd, li pa t' ka fè yon mouvman avè l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:5 ============ 1Ki 13:5 The altar also was rent, and the ashes poured out from the altar, according to the sign which the man of God had given by the word of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 13:5 Lamenm, lotèl la rete konsa, li fann de bò, epi sann dife ki te sou li a gaye tout atè a, jan pwofèt la te di sa nan non Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:6 ============ 1Ki 13:6 And the king answered and said unto the man of God, Intreat now the face of the LORD thy God, and pray for me, that my hand may be restored me again. And the man of God besought the LORD, and the king's hand was restored him again, and became as it was before.(KJV-1611) 1Ki 13:6 wa Jewoboram pran lapawòl ankò, li di pwofèt Bondye a konsa: -Tanpri, lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou mwen. Mande l' pou l' geri men m'. Pwofèt la lapriyè Seyè a vre, epi men wa a geri, li vin jan li te ye anvan an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:7 ============ 1Ki 13:7 And the king said unto the man of God, Come home with me, and refresh thyself, and I will give thee a reward.(KJV-1611) 1Ki 13:7 Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:8 ============ 1Ki 13:8 And the man of God said unto the king, If thou wilt give me half thine house, I will not go in with thee, neither will I eat bread nor drink water in this place:(KJV-1611) 1Ki 13:8 Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m' lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:9 ============ 1Ki 13:9 For so was it charged me by the word of the LORD, saying, Eat no bread, nor drink water, nor turn again by the same way that thou camest.(KJV-1611) 1Ki 13:9 Paske, Seyè a te ban mwen lòd pou m' pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te vini an pou m' tounen lakay mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:10 ============ 1Ki 13:10 So he went another way, and returned not by the way that he came to Bethel.(KJV-1611) 1Ki 13:10 Se konsa li pran yon lòt wout pou l' tounen lakay li, li pa pran menm chemen li te pran lè li t'ap vini lavil Betèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:11 ============ 1Ki 13:11 Now there dwelt an old prophet in Bethel; and his sons came and told him all the works that the man of God had done that day in Bethel: the words which he had spoken unto the king, them they told also to their father.(KJV-1611) 1Ki 13:11 Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l' yo vin rakonte l' tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:12 ============ 1Ki 13:12 And their father said unto them, What way went he? For his sons had seen what way the man of God went, which came from Judah.(KJV-1611) 1Ki 13:12 Pwofèt la mande yo ki wout yo wè l' pran. Pitit gason l' yo moutre l' chemen pwofèt Bondye ki te soti peyi Jida a te pran.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:13 ============ 1Ki 13:13 And he said unto his sons, Saddle me the ass. So they saddled him the ass: and he rode thereon,(KJV-1611) 1Ki 13:13 Li di pitit gason l' yo sele bourik li pou li. Yo sele bourik li a, li moute sou li,(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:14 ============ 1Ki 13:14 And went after the man of God, and found him sitting under an oak: and he said unto him, Art thou the man of God that camest from Judah? And he said, I am.(KJV-1611) 1Ki 13:14 li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l': -Se ou menm pwofèt Bondye ki soti peyi Jida a? Nonm lan reponn: -Se mwen wi!(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:15 ============ 1Ki 13:15 Then he said unto him, Come home with me, and eat bread.(KJV-1611) 1Ki 13:15 Li di l' konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje kichòy!(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:16 ============ 1Ki 13:16 And he said, I may not return with thee, nor go in with thee: neither will I eat bread nor drink water with thee in this place:(KJV-1611) 1Ki 13:16 Men pwofèt peyi Jida a di l': -Non, m' pa ka tounen avè ou, ni m' pa ka al lakay ou. Lèfini, m' p'ap manje, m' p'ap bwè anyen avè ou isit la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:17 ============ 1Ki 13:17 For it was said to me by the word of the LORD, Thou shalt eat no bread nor drink water there, nor turn again to go by the way that thou camest.(KJV-1611) 1Ki 13:17 Paske Seyè a te ban m' lòd pou m' pa t' ni manje ni bwè anyen avè ou isit la, lèfini pou m' pa pran menm chemen mwen te pase pou m' vini an pou m' tounen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:18 ============ 1Ki 13:18 He said unto him, I am a prophet also as thou art; and an angel spake unto me by the word of the LORD, saying, Bring him back with thee into thine house, that he may eat bread and drink water. But he lied unto him.(KJV-1611) 1Ki 13:18 Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:19 ============ 1Ki 13:19 So he went back with him, and did eat bread in his house, and drank water.(KJV-1611) 1Ki 13:19 Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:20 ============ 1Ki 13:20 And it came to pass, as they sat at the table, that the word of the LORD came unto the prophet that brought him back:(KJV-1611) 1Ki 13:20 Yo te chita bò tab la toujou lè Seyè a pale ak pwofèt Betèl la(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:21 ============ 1Ki 13:21 And he cried unto the man of God that came from Judah, saying, Thus saith the LORD, Forasmuch as thou hast disobeyed the mouth of the LORD, and hast not kept the commandment which the LORD thy God commanded thee,(KJV-1611) 1Ki 13:21 ki pale byen move ak pwofèt peyi Jida a. Li di l' byen fò: -Seyè a di ou ou pa koute lòd li te ba ou, ou pa fè sa li te mande ou fè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:22 ============ 1Ki 13:22 But camest back, and hast eaten bread and drunk water in the place, of the which the Lord did say to thee, Eat no bread, and drink no water; thy carcase shall not come unto the sepulchre of thy fathers.(KJV-1611) 1Ki 13:22 Okontrè, ou tounen, ou manje, ou bwè yon kote li te ba ou lòd pa fè sa. Se poutèt sa w'ap mouri, lèfini, ou p'ap antere nan kavo fanmi ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:23 ============ 1Ki 13:23 And it came to pass, after he had eaten bread, and after he had drunk, that he saddled for him the ass, to wit, for the prophet whom he had brought back.(KJV-1611) 1Ki 13:23 Lè yo fin manje, pwofèt lavil Betèl la sele bourik pwofèt peyi Jida a pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:24 ============ 1Ki 13:24 And when he was gone, a lion met him by the way, and slew him: and his carcase was cast in the way, and the ass stood by it, the lion also stood by the carcase.(KJV-1611) 1Ki 13:24 Pwofèt peyi Jida a pati. Li kontre ak yon lyon sou chemen li, lyon an touye l'. Kadav li te blayi atè a nan mitan chimen an. Bourik la ak lyon an te rete la bò kote l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:25 ============ 1Ki 13:25 And, behold, men passed by, and saw the carcase cast in the way, and the lion standing by the carcase: and they came and told it in the city where the old prophet dwelt.(KJV-1611) 1Ki 13:25 Moun ki t'ap pase bò la wè kadav la atè nan chimen an ansanm ak lyon an bò kote l'. Yo antre lavil Betèl kote pwofèt granmoun lan te rete a, yo rakonte sa yo wè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:26 ============ 1Ki 13:26 And when the prophet that brought him back from the way heard thereof, he said, It is the man of God, who was disobedient unto the word of the LORD: therefore the LORD hath delivered him unto the lion, which hath torn him, and slain him, according to the word of the LORD, which he spake unto him.(KJV-1611) 1Ki 13:26 Lè pwofèt la tande sa, li di: -Se pwofèt ki te dezobeyi lòd Seyè a te ba li a. Konsa, Seyè a voye yon lyon atake l'. Lyon an kraze l', li touye l' jan Seyè a te di l' l'ap fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:27 ============ 1Ki 13:27 And he spake to his sons, saying, Saddle me the ass. And they saddled him.(KJV-1611) 1Ki 13:27 Li di pitit gason l' yo. -Sele bourik la pou mwen! Yo sele bourik msye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:28 ============ 1Ki 13:28 And he went and found his carcase cast in the way, and the ass and the lion standing by the carcase: the lion had not eaten the carcase, nor torn the ass.(KJV-1611) 1Ki 13:28 Msye pati, li jwenn kadav pwofèt peyi Jida a lonje atè a nan chimen an, bourik la ak lyon an kanpe bò kote l' toujou. Lyon an pa t' manje kadav la, ni li pa t' fè bourik la anyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:29 ============ 1Ki 13:29 And the prophet took up the carcase of the man of God, and laid it upon the ass, and brought it back: and the old prophet came to the city, to mourn and to bury him.(KJV-1611) 1Ki 13:29 Pwofèt lavil Betèl l'a ranmase kadav l'a, li mete l' sou bourik la, li pote l' tounen lavil Betèl. Li pran lapenn pou li. Lèfini, li antere l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:30 ============ 1Ki 13:30 And he laid his carcase in his own grave; and they mourned over him, saying, Alas, my brother!(KJV-1611) 1Ki 13:30 Li mete kadav la nan kavo pwòp fanmi l'. Li menm ansanm ak pitit gason li yo kriye pou li, yo t'ap di: -Woy, frè mwen! Ou al kite m' vre?(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:31 ============ 1Ki 13:31 And it came to pass, after he had buried him, that he spake to his sons, saying, When I am dead, then bury me in the sepulchre wherein the man of God is buried; lay my bones beside his bones:(KJV-1611) 1Ki 13:31 Apre lantèman an, pwofèt la pale ak pitit gason l' yo. Li di yo: -Lè m'a mouri, n'a antere m' nan kavo sa a, n'a mete kadav mwen kole kole ak kadav pa l' la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:32 ============ 1Ki 13:32 For the saying which he cried by the word of the LORD against the altar in Bethel, and against all the houses of the high places which are in the cities of Samaria, shall surely come to pass.(KJV-1611) 1Ki 13:32 Pawòl Seyè a te ba li lòd di sou lotèl lavil Betèl la ak sou lòt kote y'ap fè sèvis nan lavil Samari yo gen pou rive vre.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:33 ============ 1Ki 13:33 After this thing Jeroboam returned not from his evil way, but made again of the lowest of the people priests of the high places: whosoever would, he consecrated him, and he became one of the priests of the high places.(KJV-1611) 1Ki 13:33 Apre tout bagay sa yo, Jewoboram, wa peyi Izrayèl la, donnen pi rèd nan vye bagay li t'ap fè yo. Li t'ap chwazi moun nan pèp la toujou pou sèvi prèt nan tanp li te bati pou zidòl yo. Depi yon moun te vle prèt, li te ba l' pouvwa a pou li te sèvi prèt nan tanp zidòl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 13:34 ============ 1Ki 13:34 And this thing became sin unto the house of Jeroboam, even to cut it off, and to destroy it from off the face of the earth.(KJV-1611) 1Ki 13:34 Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:1 ============ 1Ki 14:1 At that time Abijah the son of Jeroboam fell sick.(KJV-1611) 1Ki 14:1 Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:2 ============ 1Ki 14:2 And Jeroboam said to his wife, Arise, I pray thee, and disguise thyself, that thou be not known to be the wife of Jeroboam; and get thee to Shiloh: behold, there is Ahijah the prophet, which told me that I should be king over this people.(KJV-1611) 1Ki 14:2 Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:3 ============ 1Ki 14:3 And take with thee ten loaves, and cracknels, and a cruse of honey, and go to him: he shall tell thee what shall become of the child.(KJV-1611) 1Ki 14:3 W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:4 ============ 1Ki 14:4 And Jeroboam's wife did so, and arose, and went to Shiloh, and came to the house of Ahijah. But Ahijah could not see; for his eyes were set by reason of his age.(KJV-1611) 1Ki 14:4 Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija lavil Silo. Akija te granmoun anpil, li pa t' wè nan je l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:5 ============ 1Ki 14:5 And the LORD said unto Ahijah, Behold, the wife of Jeroboam cometh to ask a thing of thee for her son; for he is sick: thus and thus shalt thou say unto her: for it shall be, when she cometh in, that she shall feign herself to be another woman.(KJV-1611) 1Ki 14:5 Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:6 ============ 1Ki 14:6 And it was so, when Ahijah heard the sound of her feet, as she came in at the door, that he said, Come in, thou wife of Jeroboam; why feignest thou thyself to be another? for I am sent to thee with heavy tidings.(KJV-1611) 1Ki 14:6 Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:7 ============ 1Ki 14:7 Go, tell Jeroboam, Thus saith the LORD God of Israel, Forasmuch as I exalted thee from among the people, and made thee prince over my people Israel,(KJV-1611) 1Ki 14:7 Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:8 ============ 1Ki 14:8 And rent the kingdom away from the house of David, and gave it thee: and yet thou hast not been as my servant David, who kept my commandments, and who followed me with all his heart, to do that only which was right in mine eyes;(KJV-1611) 1Ki 14:8 Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:9 ============ 1Ki 14:9 But hast done evil above all that were before thee: for thou hast gone and made thee other gods, and molten images, to provoke me to anger, and hast cast me behind thy back:(KJV-1611) 1Ki 14:9 Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:10 ============ 1Ki 14:10 Therefore, behold, I will bring evil upon the house of Jeroboam, and will cut off from Jeroboam him that pisseth against the wall, and him that is shut up and left in Israel, and will take away the remnant of the house of Jeroboam, as a man taketh away dung, till it be all gone.(KJV-1611) 1Ki 14:10 Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:11 ============ 1Ki 14:11 Him that dieth of Jeroboam in the city shall the dogs eat; and him that dieth in the field shall the fowls of the air eat: for the LORD hath spoken it.(KJV-1611) 1Ki 14:11 Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:12 ============ 1Ki 14:12 Arise thou therefore, get thee to thine own house: and when thy feet enter into the city, the child shall die.(KJV-1611) 1Ki 14:12 Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:13 ============ 1Ki 14:13 And all Israel shall mourn for him, and bury him: for he only of Jeroboam shall come to the grave, because in him there is found some good thing toward the LORD God of Israel in the house of Jeroboam.(KJV-1611) 1Ki 14:13 Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:14 ============ 1Ki 14:14 Moreover the LORD shall raise him up a king over Israel, who shall cut off the house of Jeroboam that day: but what? even now.(KJV-1611) 1Ki 14:14 Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:15 ============ 1Ki 14:15 For the LORD shall smite Israel, as a reed is shaken in the water, and he shall root up Israel out of this good land, which he gave to their fathers, and shall scatter them beyond the river, because they have made their groves, provoking the LORD to anger.(KJV-1611) 1Ki 14:15 Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:16 ============ 1Ki 14:16 And he shall give Israel up because of the sins of Jeroboam, who did sin, and who made Israel to sin.(KJV-1611) 1Ki 14:16 Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:17 ============ 1Ki 14:17 And Jeroboam's wife arose, and departed, and came to Tirzah: and when she came to the threshold of the door, the child died;(KJV-1611) 1Ki 14:17 Madan Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:18 ============ 1Ki 14:18 And they buried him; and all Israel mourned for him, according to the word of the LORD, which he spake by the hand of his servant Ahijah the prophet.(KJV-1611) 1Ki 14:18 Moun pèp Izrayèl yo pran lapenn pou pitit la, yo antere l', jan Seyè a te di sa nan bouch pwofèt Akija a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:19 ============ 1Ki 14:19 And the rest of the acts of Jeroboam, how he warred, and how he reigned, behold, they are written in the book of the chronicles of the kings of Israel.(KJV-1611) 1Ki 14:19 Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:20 ============ 1Ki 14:20 And the days which Jeroboam reigned were two and twenty years: and he slept with his fathers, and Nadab his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 14:20 Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:21 ============ 1Ki 14:21 And Rehoboam the son of Solomon reigned in Judah. Rehoboam was forty and one years old when he began to reign, and he reigned seventeen years in Jerusalem, the city which the LORD did choose out of all the tribes of Israel, to put his name there. And his mother's name was Naamah an Ammonitess.(KJV-1611) 1Ki 14:21 Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:22 ============ 1Ki 14:22 And Judah did evil in the sight of the LORD, and they provoked him to jealousy with their sins which they had committed, above all that their fathers had done.(KJV-1611) 1Ki 14:22 Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:23 ============ 1Ki 14:23 For they also built them high places, and images, and groves, on every high hill, and under every green tree.(KJV-1611) 1Ki 14:23 Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:24 ============ 1Ki 14:24 And there were also sodomites in the land: and they did according to all the abominations of the nations which the LORD cast out before the children of Israel.(KJV-1611) 1Ki 14:24 Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:25 ============ 1Ki 14:25 And it came to pass in the fifth year of king Rehoboam, that Shishak king of Egypt came up against Jerusalem:(KJV-1611) 1Ki 14:25 Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:26 ============ 1Ki 14:26 And he took away the treasures of the house of the LORD, and the treasures of the king's house; he even took away all: and he took away all the shields of gold which Solomon had made.(KJV-1611) 1Ki 14:26 Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:27 ============ 1Ki 14:27 And king Rehoboam made in their stead brasen shields, and committed them unto the hands of the chief of the guard, which kept the door of the king's house.(KJV-1611) 1Ki 14:27 Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:28 ============ 1Ki 14:28 And it was so, when the king went into the house of the LORD, that the guard bare them, and brought them back into the guard chamber.(KJV-1611) 1Ki 14:28 Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l' ale, yo pote yo tounen nan sal gad la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:29 ============ 1Ki 14:29 Now the rest of the acts of Rehoboam, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 1Ki 14:29 Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:30 ============ 1Ki 14:30 And there was war between Rehoboam and Jeroboam all their days.(KJV-1611) 1Ki 14:30 Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran.(Creole-HT) ======= 1 Kings 14:31 ============ 1Ki 14:31 And Rehoboam slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David. And his mother's name was Naamah an Ammonitess. And Abijam his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 14:31 Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:1 ============ 1Ki 15:1 Now in the eighteenth year of king Jeroboam the son of Nebat reigned Abijam over Judah.(KJV-1611) 1Ki 15:1 Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:2 ============ 1Ki 15:2 Three years reigned he in Jerusalem. and his mother's name was Maachah, the daughter of Abishalom.(KJV-1611) 1Ki 15:2 Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:3 ============ 1Ki 15:3 And he walked in all the sins of his father, which he had done before him: and his heart was not perfect with the LORD his God, as the heart of David his father.(KJV-1611) 1Ki 15:3 Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:4 ============ 1Ki 15:4 Nevertheless for David's sake did the LORD his God give him a lamp in Jerusalem, to set up his son after him, and to establish Jerusalem:(KJV-1611) 1Ki 15:4 Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:5 ============ 1Ki 15:5 Because David did that which was right in the eyes of the LORD, and turned not aside from any thing that he commanded him all the days of his life, save only in the matter of Uriah the Hittite.(KJV-1611) 1Ki 15:5 Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:6 ============ 1Ki 15:6 And there was war between Rehoboam and Jeroboam all the days of his life.(KJV-1611) 1Ki 15:6 Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:7 ============ 1Ki 15:7 Now the rest of the acts of Abijam, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah? And there was war between Abijam and Jeroboam.(KJV-1611) 1Ki 15:7 Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:8 ============ 1Ki 15:8 And Abijam slept with his fathers; and they buried him in the city of David: and Asa his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 15:8 Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:9 ============ 1Ki 15:9 And in the twentieth year of Jeroboam king of Israel reigned Asa over Judah.(KJV-1611) 1Ki 15:9 Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:10 ============ 1Ki 15:10 And forty and one years reigned he in Jerusalem. And his mother's name was Maachah, the daughter of Abishalom.(KJV-1611) 1Ki 15:10 Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:11 ============ 1Ki 15:11 And Asa did that which was right in the eyes of the LORD, as did David his father.(KJV-1611) 1Ki 15:11 Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:12 ============ 1Ki 15:12 And he took away the sodomites out of the land, and removed all the idols that his fathers had made.(KJV-1611) 1Ki 15:12 Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:13 ============ 1Ki 15:13 And also Maachah his mother, even her he removed from being queen, because she had made an idol in a grove; and Asa destroyed her idol, and burnt it by the brook Kidron.(KJV-1611) 1Ki 15:13 Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:14 ============ 1Ki 15:14 But the high places were not removed: nevertheless Asa's heart was perfect with the LORD all his days.(KJV-1611) 1Ki 15:14 Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:15 ============ 1Ki 15:15 And he brought in the things which his father had dedicated, and the things which himself had dedicated, into the house of the LORD, silver, and gold, and vessels.(KJV-1611) 1Ki 15:15 Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:16 ============ 1Ki 15:16 And there was war between Asa and Baasha king of Israel all their days.(KJV-1611) 1Ki 15:16 Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:17 ============ 1Ki 15:17 And Baasha king of Israel went up against Judah, and built Ramah, that he might not suffer any to go out or come in to Asa king of Judah.(KJV-1611) 1Ki 15:17 wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:18 ============ 1Ki 15:18 Then Asa took all the silver and the gold that were left in the treasures of the house of the LORD, and the treasures of the king's house, and delivered them into the hand of his servants: and king Asa sent them to Benhadad, the son of Tabrimon, the son of Hezion, king of Syria, that dwelt at Damascus, saying,(KJV-1611) 1Ki 15:18 Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:19 ============ 1Ki 15:19 There is a league between me and thee, and between my father and thy father: behold, I have sent unto thee a present of silver and gold; come and break thy league with Baasha king of Israel, that he may depart from me.(KJV-1611) 1Ki 15:19 -Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:20 ============ 1Ki 15:20 So Benhadad hearkened unto king Asa, and sent the captains of the hosts which he had against the cities of Israel, and smote Ijon, and Dan, and Abelbethmaachah, and all Cinneroth, with all the land of Naphtali.(KJV-1611) 1Ki 15:20 wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:21 ============ 1Ki 15:21 And it came to pass, when Baasha heard thereof, that he left off building of Ramah, and dwelt in Tirzah.(KJV-1611) 1Ki 15:21 Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:22 ============ 1Ki 15:22 Then king Asa made a proclamation throughout all Judah; none was exempted: and they took away the stones of Ramah, and the timber thereof, wherewith Baasha had builded; and king Asa built with them Geba of Benjamin, and Mizpah.(KJV-1611) 1Ki 15:22 Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:23 ============ 1Ki 15:23 The rest of all the acts of Asa, and all his might, and all that he did, and the cities which he built, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah? Nevertheless in the time of his old age he was diseased in his feet.(KJV-1611) 1Ki 15:23 Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:24 ============ 1Ki 15:24 And Asa slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David his father: and Jehoshaphat his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 15:24 Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:25 ============ 1Ki 15:25 And Nadab the son of Jeroboam began to reign over Israel in the second year of Asa king of Judah, and reigned over Israel two years.(KJV-1611) 1Ki 15:25 Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:26 ============ 1Ki 15:26 And he did evil in the sight of the LORD, and walked in the way of his father, and in his sin wherewith he made Israel to sin.(KJV-1611) 1Ki 15:26 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:27 ============ 1Ki 15:27 And Baasha the son of Ahijah, of the house of Issachar, conspired against him; and Baasha smote him at Gibbethon, which belonged to the Philistines; for Nadab and all Israel laid siege to Gibbethon.(KJV-1611) 1Ki 15:27 Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:28 ============ 1Ki 15:28 Even in the third year of Asa king of Judah did Baasha slay him, and reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 15:28 Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:29 ============ 1Ki 15:29 And it came to pass, when he reigned, that he smote all the house of Jeroboam; he left not to Jeroboam any that breathed, until he had destroyed him, according unto the saying of the LORD, which he spake by his servant Ahijah the Shilonite:(KJV-1611) 1Ki 15:29 Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:30 ============ 1Ki 15:30 Because of the sins of Jeroboam which he sinned, and which he made Israel sin, by his provocation wherewith he provoked the LORD God of Israel to anger.(KJV-1611) 1Ki 15:30 Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:31 ============ 1Ki 15:31 Now the rest of the acts of Nadab, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 15:31 Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:32 ============ 1Ki 15:32 And there was war between Asa and Baasha king of Israel all their days.(KJV-1611) 1Ki 15:32 Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:33 ============ 1Ki 15:33 In the third year of Asa king of Judah began Baasha the son of Ahijah to reign over all Israel in Tirzah, twenty and four years.(KJV-1611) 1Ki 15:33 Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 15:34 ============ 1Ki 15:34 And he did evil in the sight of the LORD, and walked in the way of Jeroboam, and in his sin wherewith he made Israel to sin.(KJV-1611) 1Ki 15:34 Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:1 ============ 1Ki 16:1 Then the word of the LORD came to Jehu the son of Hanani against Baasha, saying,(KJV-1611) 1Ki 16:1 Seyè a pale ak Jeou, pitit gason Anani. Li ba li mesaj sa a pou Bacha. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:2 ============ 1Ki 16:2 Forasmuch as I exalted thee out of the dust, and made thee prince over my people Israel; and thou hast walked in the way of Jeroboam, and hast made my people Israel to sin, to provoke me to anger with their sins;(KJV-1611) 1Ki 16:2 -Bacha pa t' anyen menm. Men, mwen mete l' chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Koulye a menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m' fache ak peche yo fè yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:3 ============ 1Ki 16:3 Behold, I will take away the posterity of Baasha, and the posterity of his house; and will make thy house like the house of Jeroboam the son of Nebat.(KJV-1611) 1Ki 16:3 Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m' te fè fanmi Jewoboram lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:4 ============ 1Ki 16:4 Him that dieth of Baasha in the city shall the dogs eat; and him that dieth of his in the fields shall the fowls of the air eat.(KJV-1611) 1Ki 16:4 Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:5 ============ 1Ki 16:5 Now the rest of the acts of Baasha, and what he did, and his might, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 16:5 Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:6 ============ 1Ki 16:6 So Baasha slept with his fathers, and was buried in Tirzah: and Elah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 16:6 Lè Bacha mouri, yo antere l' lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l', ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:7 ============ 1Ki 16:7 And also by the hand of the prophet Jehu the son of Hanani came the word of the LORD against Baasha, and against his house, even for all the evil that he did in the sight of the LORD, in provoking him to anger with the work of his hands, in being like the house of Jeroboam; and because he killed him.(KJV-1611) 1Ki 16:7 Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:8 ============ 1Ki 16:8 In the twenty and sixth year of Asa king of Judah began Elah the son of Baasha to reign over Israel in Tirzah, two years.(KJV-1611) 1Ki 16:8 Wa Asa t'ap mache sou vennsizan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:9 ============ 1Ki 16:9 And his servant Zimri, captain of half his chariots, conspired against him, as he was in Tirzah, drinking himself drunk in the house of Arza steward of his house in Tirzah.(KJV-1611) 1Ki 16:9 Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:10 ============ 1Ki 16:10 And Zimri went in and smote him, and killed him, in the twenty and seventh year of Asa king of Judah, and reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 16:10 Zimri antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fotèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:11 ============ 1Ki 16:11 And it came to pass, when he began to reign, as soon as he sat on his throne, that he slew all the house of Baasha: he left him not one that pisseth against a wall, neither of his kinsfolks, nor of his friends.(KJV-1611) 1Ki 16:11 Moute Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l' osinon zanmi l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:12 ============ 1Ki 16:12 Thus did Zimri destroy all the house of Baasha, according to the word of the LORD, which he spake against Baasha by Jehu the prophet.(KJV-1611) 1Ki 16:12 Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:13 ============ 1Ki 16:13 For all the sins of Baasha, and the sins of Elah his son, by which they sinned, and by which they made Israel to sin, in provoking the LORD God of Israel to anger with their vanities.(KJV-1611) 1Ki 16:13 Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:14 ============ 1Ki 16:14 Now the rest of the acts of Elah, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 16:14 Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:15 ============ 1Ki 16:15 In the twenty and seventh year of Asa king of Judah did Zimri reign seven days in Tirzah. And the people were encamped against Gibbethon, which belonged to the Philistines.(KJV-1611) 1Ki 16:15 Wa Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:16 ============ 1Ki 16:16 And the people that were encamped heard say, Zimri hath conspired, and hath also slain the king: wherefore all Israel made Omri, the captain of the host, king over Israel that day in the camp.(KJV-1611) 1Ki 16:16 Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:17 ============ 1Ki 16:17 And Omri went up from Gibbethon, and all Israel with him, and they besieged Tirzah.(KJV-1611) 1Ki 16:17 Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l' al sènen lavil Tiza.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:18 ============ 1Ki 16:18 And it came to pass, when Zimri saw that the city was taken, that he went into the palace of the king's house, and burnt the king's house over him with fire, and died.(KJV-1611) 1Ki 16:18 Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:19 ============ 1Ki 16:19 For his sins which he sinned in doing evil in the sight of the LORD, in walking in the way of Jeroboam, and in his sin which he did, to make Israel to sin.(KJV-1611) 1Ki 16:19 Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:20 ============ 1Ki 16:20 Now the rest of the acts of Zimri, and his treason that he wrought, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 16:20 Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:21 ============ 1Ki 16:21 Then were the people of Israel divided into two parts: half of the people followed Tibni the son of Ginath, to make him king; and half followed Omri.(KJV-1611) 1Ki 16:21 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Gen t la, wa. Mwatye te pou Omri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:22 ============ 1Ki 16:22 But the people that followed Omri prevailed against the people that followed Tibni the son of Ginath: so Tibni died, and Omri reigned.(KJV-1611) 1Ki 16:22 Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Gen t la. Tibni mouri, Omri moute wa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:23 ============ 1Ki 16:23 In the thirty and first year of Asa king of Judah began Omri to reign over Israel, twelve years: six years reigned he in Tirzah.(KJV-1611) 1Ki 16:23 Se konsa nan tranteyenyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:24 ============ 1Ki 16:24 And he bought the hill Samaria of Shemer for two talents of silver, and built on the hill, and called the name of the city which he built, after the name of Shemer, owner of the hill, Samaria.(KJV-1611) 1Ki 16:24 Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:25 ============ 1Ki 16:25 But Omri wrought evil in the eyes of the LORD, and did worse than all that were before him.(KJV-1611) 1Ki 16:25 Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:26 ============ 1Ki 16:26 For he walked in all the way of Jeroboam the son of Nebat, and in his sin wherewith he made Israel to sin, to provoke the LORD God of Israel to anger with their vanities.(KJV-1611) 1Ki 16:26 Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:27 ============ 1Ki 16:27 Now the rest of the acts of Omri which he did, and his might that he shewed, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 16:27 Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:28 ============ 1Ki 16:28 So Omri slept with his fathers, and was buried in Samaria: and Ahab his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 16:28 Lè Omri mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Akab, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:29 ============ 1Ki 16:29 And in the thirty and eighth year of Asa king of Judah began Ahab the son of Omri to reign over Israel: and Ahab the son of Omri reigned over Israel in Samaria twenty and two years.(KJV-1611) 1Ki 16:29 Wa Asa te gen trantwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:30 ============ 1Ki 16:30 And Ahab the son of Omri did evil in the sight of the LORD above all that were before him.(KJV-1611) 1Ki 16:30 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:31 ============ 1Ki 16:31 And it came to pass, as if it had been a light thing for him to walk in the sins of Jeroboam the son of Nebat, that he took to wife Jezebel the daughter of Ethbaal king of the Zidonians, and went and served Baal, and worshipped him.(KJV-1611) 1Ki 16:31 Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:32 ============ 1Ki 16:32 And he reared up an altar for Baal in the house of Baal, which he had built in Samaria.(KJV-1611) 1Ki 16:32 Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:33 ============ 1Ki 16:33 And Ahab made a grove; and Ahab did more to provoke the LORD God of Israel to anger than all the kings of Israel that were before him.(KJV-1611) 1Ki 16:33 Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.(Creole-HT) ======= 1 Kings 16:34 ============ 1Ki 16:34 In his days did Hiel the Bethelite build Jericho: he laid the foundation thereof in Abiram his firstborn, and set up the gates thereof in his youngest son Segub, according to the word of the LORD, which he spake by Joshua the son of Nun.(KJV-1611) 1Ki 16:34 Se pandan rèy Akab la, yon nonm yo rele Iyèl, moun lavil Betèl, rebati lavil Jeriko. Men, pawòl Seyè a te di Jozye, pitit Noun lan, rive vre. Abiram, premye pitit Iyèl la, mouri lè yo t'ap fouye fondasyon lavil la, lèfini Segoub, dezyèm pitit gason Iyèl la, mouri lè yo t'ap moute pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:1 ============ 1Ki 17:1 And Elijah the Tishbite, who was of the inhabitants of Gilead, said unto Ahab, As the LORD God of Israel liveth, before whom I stand, there shall not be dew nor rain these years, but according to my word.(KJV-1611) 1Ki 17:1 Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:2 ============ 1Ki 17:2 And the word of the LORD came unto him, saying,(KJV-1611) 1Ki 17:2 Apre sa, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:3 ============ 1Ki 17:3 Get thee hence, and turn thee eastward, and hide thyself by the brook Cherith, that is before Jordan.(KJV-1611) 1Ki 17:3 -Kite kote ou ye a, ale nan direksyon solèy leve. Al kache toupre ravin Kerit la ki sou bò solèy leve larivyè Jouden.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:4 ============ 1Ki 17:4 And it shall be, that thou shalt drink of the brook; and I have commanded the ravens to feed thee there.(KJV-1611) 1Ki 17:4 W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaou yo lòd pou yo pote manje ba ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:5 ============ 1Ki 17:5 So he went and did according unto the word of the LORD: for he went and dwelt by the brook Cherith, that is before Jordan.(KJV-1611) 1Ki 17:5 Eli fè sa Seyè a te di l' fè a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:6 ============ 1Ki 17:6 And the ravens brought him bread and flesh in the morning, and bread and flesh in the evening; and he drank of the brook.(KJV-1611) 1Ki 17:6 Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l' bwè nan ravin lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:7 ============ 1Ki 17:7 And it came to pass after a while, that the brook dried up, because there had been no rain in the land.(KJV-1611) 1Ki 17:7 Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:8 ============ 1Ki 17:8 And the word of the LORD came unto him, saying,(KJV-1611) 1Ki 17:8 Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:9 ============ 1Ki 17:9 Arise, get thee to Zarephath, which belongeth to Zidon, and dwell there: behold, I have commanded a widow woman there to sustain thee.(KJV-1611) 1Ki 17:9 -Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:10 ============ 1Ki 17:10 So he arose and went to Zarephath. And when he came to the gate of the city, behold, the widow woman was there gathering of sticks: and he called to her, and said, Fetch me, I pray thee, a little water in a vessel, that I may drink.(KJV-1611) 1Ki 17:10 Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon fanm vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:11 ============ 1Ki 17:11 And as she was going to fetch it, he called to her, and said, Bring me, I pray thee, a morsel of bread in thine hand.(KJV-1611) 1Ki 17:11 Madanm lan fè sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankò, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:12 ============ 1Ki 17:12 And she said, As the LORD thy God liveth, I have not a cake, but an handful of meal in a barrel, and a little oil in a cruse: and, behold, I am gathering two sticks, that I may go in and dress it for me and my son, that we may eat it, and die.(KJV-1611) 1Ki 17:12 Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:13 ============ 1Ki 17:13 And Elijah said unto her, Fear not; go and do as thou hast said: but make me thereof a little cake first, and bring it unto me, and after make for thee and for thy son.(KJV-1611) 1Ki 17:13 Eli di li: -Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:14 ============ 1Ki 17:14 For thus saith the LORD God of Israel, The barrel of meal shall not waste, neither shall the cruse of oil fail, until the day that the LORD sendeth rain upon the earth.(KJV-1611) 1Ki 17:14 Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:15 ============ 1Ki 17:15 And she went and did according to the saying of Elijah: and she, and he, and her house, did eat many days.(KJV-1611) 1Ki 17:15 Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:16 ============ 1Ki 17:16 And the barrel of meal wasted not, neither did the cruse of oil fail, according to the word of the LORD, which he spake by Elijah.(KJV-1611) 1Ki 17:16 Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:17 ============ 1Ki 17:17 And it came to pass after these things, that the son of the woman, the mistress of the house, fell sick; and his sickness was so sore, that there was no breath left in him.(KJV-1611) 1Ki 17:17 Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:18 ============ 1Ki 17:18 And she said unto Elijah, What have I to do with thee, O thou man of God? art thou come unto me to call my sin to remembrance, and to slay my son?(KJV-1611) 1Ki 17:18 Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:19 ============ 1Ki 17:19 And he said unto her, Give me thy son. And he took him out of her bosom, and carried him up into a loft, where he abode, and laid him upon his own bed.(KJV-1611) 1Ki 17:19 Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avè l' nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:20 ============ 1Ki 17:20 And he cried unto the LORD, and said, O LORD my God, hast thou also brought evil upon the widow with whom I sojourn, by slaying her son?(KJV-1611) 1Ki 17:20 Apre sa, li lapriyè, li di: -Seyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:21 ============ 1Ki 17:21 And he stretched himself upon the child three times, and cried unto the LORD, and said, O LORD my God, I pray thee, let this child's soul come into him again.(KJV-1611) 1Ki 17:21 Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:22 ============ 1Ki 17:22 And the LORD heard the voice of Elijah; and the soul of the child came into him again, and he revived.(KJV-1611) 1Ki 17:22 Seyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf.(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:23 ============ 1Ki 17:23 And Elijah took the child, and brought him down out of the chamber into the house, and delivered him unto his mother: and Elijah said, See, thy son liveth.(KJV-1611) 1Ki 17:23 Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan!(Creole-HT) ======= 1 Kings 17:24 ============ 1Ki 17:24 And the woman said to Elijah, Now by this I know that thou art a man of God, and that the word of the LORD in thy mouth is truth.(KJV-1611) 1Ki 17:24 Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:1 ============ 1Ki 18:1 And it came to pass after many days, that the word of the LORD came to Elijah in the third year, saying, Go, shew thyself unto Ahab; and I will send rain upon the earth.(KJV-1611) 1Ki 18:1 Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:2 ============ 1Ki 18:2 And Elijah went to shew himself unto Ahab. And there was a sore famine in Samaria.(KJV-1611) 1Ki 18:2 Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:3 ============ 1Ki 18:3 And Ahab called Obadiah, which was the governor of his house. (Now Obadiah feared the LORD greatly:(KJV-1611) 1Ki 18:3 Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Seyè a ak tout kè li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:4 ============ 1Ki 18:4 For it was so, when Jezebel cut off the prophets of the LORD, that Obadiah took an hundred prophets, and hid them by fifty in a cave, and fed them with bread and water.)(KJV-1611) 1Ki 18:4 Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:5 ============ 1Ki 18:5 And Ahab said unto Obadiah, Go into the land, unto all fountains of water, and unto all brooks: peradventure we may find grass to save the horses and mules alive, that we lose not all the beasts.(KJV-1611) 1Ki 18:5 Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:6 ============ 1Ki 18:6 So they divided the land between them to pass throughout it: Ahab went one way by himself, and Obadiah went another way by himself.(KJV-1611) 1Ki 18:6 Yo separe peyi a fè de zòn, yo chak pran yon zòn pou yo mache al chache zèb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lòt chemen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:7 ============ 1Ki 18:7 And as Obadiah was in the way, behold, Elijah met him: and he knew him, and fell on his face, and said, Art thou that my lord Elijah?(KJV-1611) 1Ki 18:7 Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l': -Se ou menm vre, Eli, mèt mwen?(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:8 ============ 1Ki 18:8 And he answered him, I am: go, tell thy lord, Behold, Elijah is here.(KJV-1611) 1Ki 18:8 Eli reponn: -Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m' isit la!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:9 ============ 1Ki 18:9 And he said, What have I sinned, that thou wouldest deliver thy servant into the hand of Ahab, to slay me?(KJV-1611) 1Ki 18:9 Abdyas reponn: -Kisa m' fè ki mal pou ou voye m' al chache lanmò nan men wa Akab?(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:10 ============ 1Ki 18:10 As the LORD thy God liveth, there is no nation or kingdom, whither my lord hath not sent to seek thee: and when they said, He is not there; he took an oath of the kingdom and nation, that they found thee not.(KJV-1611) 1Ki 18:10 Mwen pran Seyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pa t' jwenn ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:11 ============ 1Ki 18:11 And now thou sayest, Go, tell thy lord, Behold, Elijah is here.(KJV-1611) 1Ki 18:11 Epi, koulye a ou vle pou m' al di li men ou isit la?(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:12 ============ 1Ki 18:12 And it shall come to pass, as soon as I am gone from thee, that the Spirit of the LORD shall carry thee whither I know not; and so when I come and tell Ahab, and he cannot find thee, he shall slay me: but I thy servant fear the LORD from my youth.(KJV-1611) 1Ki 18:12 Bon, vire m' vire do m' ale la a, si lespri Seyè a pran ou, li pote ou yon kote m' pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè l'a vini li pa wè ou, l'ap touye m'. Chonje mwen menm m'ap sèvi Seyè a ak krentif depi mwen piti.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:13 ============ 1Ki 18:13 Was it not told my lord what I did when Jezebel slew the prophets of the LORD, how I hid an hundred men of the LORD's prophets by fifty in a cave, and fed them with bread and water?(KJV-1611) 1Ki 18:13 Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:14 ============ 1Ki 18:14 And now thou sayest, Go, tell thy lord, Behold, Elijah is here: and he shall slay me.(KJV-1611) 1Ki 18:14 Men koulye a ou vle pou m' al di wa a men ou isit la! L'ap touye m'!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:15 ============ 1Ki 18:15 And Elijah said, As the LORD of hosts liveth, before whom I stand, I will surely shew myself unto him to day.(KJV-1611) 1Ki 18:15 Eli reponn li: -Mwen pran Seyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:16 ============ 1Ki 18:16 So Obadiah went to meet Ahab, and told him: and Ahab went to meet Elijah.(KJV-1611) 1Ki 18:16 Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l' rapò. Akab vin kontre Eli.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:17 ============ 1Ki 18:17 And it came to pass, when Ahab saw Elijah, that Ahab said unto him, Art thou he that troubleth Israel?(KJV-1611) 1Ki 18:17 Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:18 ============ 1Ki 18:18 And he answered, I have not troubled Israel; but thou, and thy father's house, in that ye have forsaken the commandments of the LORD, and thou hast followed Baalim.(KJV-1611) 1Ki 18:18 Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Seyè a te bay, n' al adore zidòl Baal yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:19 ============ 1Ki 18:19 Now therefore send, and gather to me all Israel unto mount Carmel, and the prophets of Baal four hundred and fifty, and the prophets of the groves four hundred, which eat at Jezebel's table.(KJV-1611) 1Ki 18:19 Koulye a, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m' sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:20 ============ 1Ki 18:20 So Ahab sent unto all the children of Israel, and gathered the prophets together unto mount Carmel.(KJV-1611) 1Ki 18:20 Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:21 ============ 1Ki 18:21 And Elijah came unto all the people, and said, How long halt ye between two opinions? if the LORD be God, follow him: but if Baal, then follow him. And the people answered him not a word.(KJV-1611) 1Ki 18:21 Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:22 ============ 1Ki 18:22 Then said Elijah unto the people, I, even I only, remain a prophet of the LORD; but Baal's prophets are four hundred and fifty men.(KJV-1611) 1Ki 18:22 Eli di yo: -Nan tout pwofèt Seyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant pwofèt Baal.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:23 ============ 1Ki 18:23 Let them therefore give us two bullocks; and let them choose one bullock for themselves, and cut it in pieces, and lay it on wood, and put no fire under: and I will dress the other bullock, and lay it on wood, and put no fire under:(KJV-1611) 1Ki 18:23 Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l', y'a koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:24 ============ 1Ki 18:24 And call ye on the name of your gods, and I will call on the name of the LORD: and the God that answereth by fire, let him be God. And all the people answered and said, It is well spoken.(KJV-1611) 1Ki 18:24 y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: -Nou dakò!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:25 ============ 1Ki 18:25 And Elijah said unto the prophets of Baal, Choose you one bullock for yourselves, and dress it first; for ye are many; and call on the name of your gods, but put no fire under.(KJV-1611) 1Ki 18:25 Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo: -Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:26 ============ 1Ki 18:26 And they took the bullock which was given them, and they dressed it, and called on the name of Baal from morning even until noon, saying, O Baal, hear us. But there was no voice, nor any that answered. And they leaped upon the altar which was made.(KJV-1611) 1Ki 18:26 Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:27 ============ 1Ki 18:27 And it came to pass at noon, that Elijah mocked them, and said, Cry aloud: for he is a god; either he is talking, or he is pursuing, or he is in a journey, or peradventure he sleepeth, and must be awaked.(KJV-1611) 1Ki 18:27 Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:28 ============ 1Ki 18:28 And they cried aloud, and cut themselves after their manner with knives and lancets, till the blood gushed out upon them.(KJV-1611) 1Ki 18:28 Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l' la. San t'ap koule sou yo konsa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:29 ============ 1Ki 18:29 And it came to pass, when midday was past, and they prophesied until the time of the offering of the evening sacrifice, that there was neither voice, nor any to answer, nor any that regarded.(KJV-1611) 1Ki 18:29 Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:30 ============ 1Ki 18:30 And Elijah said unto all the people, Come near unto me. And all the people came near unto him. And he repaired the altar of the LORD that was broken down.(KJV-1611) 1Ki 18:30 Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:31 ============ 1Ki 18:31 And Elijah took twelve stones, according to the number of the tribes of the sons of Jacob, unto whom the word of the LORD came, saying, Israel shall be thy name:(KJV-1611) 1Ki 18:31 Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:32 ============ 1Ki 18:32 And with the stones he built an altar in the name of the LORD: and he made a trench about the altar, as great as would contain two measures of seed.(KJV-1611) 1Ki 18:32 Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:33 ============ 1Ki 18:33 And he put the wood in order, and cut the bullock in pieces, and laid him on the wood, and said, Fill four barrels with water, and pour it on the burnt sacrifice, and on the wood.(KJV-1611) 1Ki 18:33 Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa,(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:34 ============ 1Ki 18:34 And he said, Do it the second time. And they did it the second time. And he said, Do it the third time. And they did it the third time.(KJV-1611) 1Ki 18:34 li di yo: -Fè l' yon dezyèm fwa. Apre yo fè l', li di yo ankò: -Fè l' yon twazyèm fwa. Yo fè l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:35 ============ 1Ki 18:35 And the water ran round about the altar; and he filled the trench also with water.(KJV-1611) 1Ki 18:35 Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:36 ============ 1Ki 18:36 And it came to pass at the time of the offering of the evening sacrifice, that Elijah the prophet came near, and said, LORD God of Abraham, Isaac, and of Israel, let it be known this day that thou art God in Israel, and that I am thy servant, and that I have done all these things at thy word.(KJV-1611) 1Ki 18:36 Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:37 ============ 1Ki 18:37 Hear me, O LORD, hear me, that this people may know that thou art the LORD God, and that thou hast turned their heart back again.(KJV-1611) 1Ki 18:37 Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:38 ============ 1Ki 18:38 Then the fire of the LORD fell, and consumed the burnt sacrifice, and the wood, and the stones, and the dust, and licked up the water that was in the trench.(KJV-1611) 1Ki 18:38 Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:39 ============ 1Ki 18:39 And when all the people saw it, they fell on their faces: and they said, The LORD, he is the God; the LORD, he is the God.(KJV-1611) 1Ki 18:39 Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:40 ============ 1Ki 18:40 And Elijah said unto them, Take the prophets of Baal; let not one of them escape. And they took them: and Elijah brought them down to the brook Kishon, and slew them there.(KJV-1611) 1Ki 18:40 Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:41 ============ 1Ki 18:41 And Elijah said unto Ahab, Get thee up, eat and drink; for there is a sound of abundance of rain.(KJV-1611) 1Ki 18:41 Apre sa Eli di wa Akab konsa: -Koulye a, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:42 ============ 1Ki 18:42 So Ahab went up to eat and to drink. And Elijah went up to the top of Carmel; and he cast himself down upon the earth, and put his face between his knees,(KJV-1611) 1Ki 18:42 Akab al manje, l' al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:43 ============ 1Ki 18:43 And said to his servant, Go up now, look toward the sea. And he went up, and looked, and said, There is nothing. And he said, Go again seven times.(KJV-1611) 1Ki 18:43 Li di domestik li a: -Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:44 ============ 1Ki 18:44 And it came to pass at the seventh time, that he said, Behold, there ariseth a little cloud out of the sea, like a man's hand. And he said, Go up, say unto Ahab, Prepare thy chariot, and get thee down that the rain stop thee not.(KJV-1611) 1Ki 18:44 Sou setyèm fwa a, domestik la di l': -Mwen wè yon ti nwaj k'ap moute sot lòt bò lanmè a. Li gwosè yon pla men. Lè sa a Eli bay domestik li a lòd sa a: -Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:45 ============ 1Ki 18:45 And it came to pass in the mean while, that the heaven was black with clouds and wind, and there was a great rain. And Ahab rode, and went to Jezreel.(KJV-1611) 1Ki 18:45 Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 18:46 ============ 1Ki 18:46 And the hand of the LORD was on Elijah; and he girded up his loins, and ran before Ahab to the entrance of Jezreel.(KJV-1611) 1Ki 18:46 Pouvwa Seyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:1 ============ 1Ki 19:1 And Ahab told Jezebel all that Elijah had done, and withal how he had slain all the prophets with the sword.(KJV-1611) 1Ki 19:1 Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:2 ============ 1Ki 19:2 Then Jezebel sent a messenger unto Elijah, saying, So let the gods do to me, and more also, if I make not thy life as the life of one of them by to morrow about this time.(KJV-1611) 1Ki 19:2 Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l': -Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:3 ============ 1Ki 19:3 And when he saw that, he arose, and went for his life, and came to Beersheba, which belongeth to Judah, and left his servant there.(KJV-1611) 1Ki 19:3 Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:4 ============ 1Ki 19:4 But he himself went a day's journey into the wilderness, and came and sat down under a juniper tree: and he requested for himself that he might die; and said, It is enough; now, O LORD, take away my life; for I am not better than my fathers.(KJV-1611) 1Ki 19:4 Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:5 ============ 1Ki 19:5 And as he lay and slept under a juniper tree, behold, then an angel touched him, and said unto him, Arise and eat.(KJV-1611) 1Ki 19:5 Li lage kò l' anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l'. Antan l' nan dòmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje!(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:6 ============ 1Ki 19:6 And he looked, and, behold, there was a cake baken on the coals, and a cruse of water at his head. And he did eat and drink, and laid him down again.(KJV-1611) 1Ki 19:6 Eli voye je l' gade bò kote l', li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:7 ============ 1Ki 19:7 And the angel of the LORD came again the second time, and touched him, and said, Arise and eat; because the journey is too great for thee.(KJV-1611) 1Ki 19:7 Zanj Seyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l', li di l': -Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:8 ============ 1Ki 19:8 And he arose, and did eat and drink, and went in the strength of that meat forty days and forty nights unto Horeb the mount of God.(KJV-1611) 1Ki 19:8 Eli leve, li manje, li bwè. Manje a ba li kont fòs kouraj pou li mache pandan karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:9 ============ 1Ki 19:9 And he came thither unto a cave, and lodged there; and, behold, the word of the LORD came to him, and he said unto him, What doest thou here, Elijah?(KJV-1611) 1Ki 19:9 Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Seyè a pale ak Eli ankò, li di li: -Eli, sa w'ap fè la a?(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:10 ============ 1Ki 19:10 And he said, I have been very jealous for the LORD God of hosts: for the children of Israel have forsaken thy covenant, thrown down thine altars, and slain thy prophets with the sword; and I, even I only, am left; and they seek my life, to take it away.(KJV-1611) 1Ki 19:10 Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:11 ============ 1Ki 19:11 And he said, Go forth, and stand upon the mount before the LORD. And, behold, the LORD passed by, and a great and strong wind rent the mountains, and brake in pieces the rocks before the LORD; but the LORD was not in the wind: and after the wind an earthquake; but the LORD was not in the earthquake:(KJV-1611) 1Ki 19:11 Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:12 ============ 1Ki 19:12 And after the earthquake a fire; but the LORD was not in the fire: and after the fire a still small voice.(KJV-1611) 1Ki 19:12 Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:13 ============ 1Ki 19:13 And it was so, when Elijah heard it, that he wrapped his face in his mantle, and went out, and stood in the entering in of the cave. And, behold, there came a voice unto him, and said, What doest thou here, Elijah?(KJV-1611) 1Ki 19:13 Lè Eli tande l', li kouvri tèt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l': -Eli, sa w'ap fè isit la?(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:14 ============ 1Ki 19:14 And he said, I have been very jealous for the LORD God of hosts: because the children of Israel have forsaken thy covenant, thrown down thine altars, and slain thy prophets with the sword; and I, even I only, am left; and they seek my life, to take it away.(KJV-1611) 1Ki 19:14 Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:15 ============ 1Ki 19:15 And the LORD said unto him, Go, return on thy way to the wilderness of Damascus: and when thou comest, anoint Hazael to be king over Syria:(KJV-1611) 1Ki 19:15 Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:16 ============ 1Ki 19:16 And Jehu the son of Nimshi shalt thou anoint to be king over Israel: and Elisha the son of Shaphat of Abelmeholah shalt thou anoint to be prophet in thy room.(KJV-1611) 1Ki 19:16 Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:17 ============ 1Ki 19:17 And it shall come to pass, that him that escapeth the sword of Hazael shall Jehu slay: and him that escapeth from the sword of Jehu shall Elisha slay.(KJV-1611) 1Ki 19:17 Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:18 ============ 1Ki 19:18 Yet I have left me seven thousand in Israel, all the knees which have not bowed unto Baal, and every mouth which hath not kissed him.(KJV-1611) 1Ki 19:18 Men m'ap kite sètmil moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:19 ============ 1Ki 19:19 So he departed thence, and found Elisha the son of Shaphat, who was plowing with twelve yoke of oxen before him, and he with the twelfth: and Elijah passed by him, and cast his mantle upon him.(KJV-1611) 1Ki 19:19 Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:20 ============ 1Ki 19:20 And he left the oxen, and ran after Elijah, and said, Let me, I pray thee, kiss my father and my mother, and then I will follow thee. And he said unto him, Go back again: for what have I done to thee?(KJV-1611) 1Ki 19:20 Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri dèyè Eli. Li di l' konsa: -Kite m' al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa m'a swiv ou. Eli reponn li: -Ou mèt tounen tounen ou. M' pa rete ou, mwen menm! Kisa m' fè ou la a?(Creole-HT) ======= 1 Kings 19:21 ============ 1Ki 19:21 And he returned back from him, and took a yoke of oxen, and slew them, and boiled their flesh with the instruments of the oxen, and gave unto the people, and they did eat. Then he arose, and went after Elijah, and ministered unto him.(KJV-1611) 1Ki 19:21 Elize kite Eli, li tounen tounen l', li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l' yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:1 ============ 1Ki 20:1 And Benhadad the king of Syria gathered all his host together: and there were thirty and two kings with him, and horses, and chariots; and he went up and besieged Samaria, and warred against it.(KJV-1611) 1Ki 20:1 Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:2 ============ 1Ki 20:2 And he sent messengers to Ahab king of Israel into the city, and said unto him, Thus saith Benhadad,(KJV-1611) 1Ki 20:2 Li voye mesaje anndan lavil la bò kote Akab, wa peyi Izrayèl la,(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:3 ============ 1Ki 20:3 Thy silver and thy gold is mine; thy wives also and thy children, even the goodliest, are mine.(KJV-1611) 1Ki 20:3 pou di li: -Wa Bennadad voye di ou tout bagay ou gen an lò ak an ajan se pou li yo ye. Tout madanm ou yo ak tout pi bon pitit gason ou yo se pou li yo ye tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:4 ============ 1Ki 20:4 And the king of Israel answered and said, My lord, O king, according to thy saying, I am thine, and all that I have.(KJV-1611) 1Ki 20:4 Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:5 ============ 1Ki 20:5 And the messengers came again, and said, Thus speaketh Benhadad, saying, Although I have sent unto thee, saying, Thou shalt deliver me thy silver, and thy gold, and thy wives, and thy children;(KJV-1611) 1Ki 20:5 Mesaje yo tounen ankò vin di Akab: -Men sa Bennadab voye di ou: M' te voye mande ou pou ou ban mwen tou sa ou gen an lò ak an ajan, tout madanm ak tout pitit gason ou yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:6 ============ 1Ki 20:6 Yet I will send my servants unto thee to morrow about this time, and they shall search thine house, and the houses of thy servants; and it shall be, that whatsoever is pleasant in thine eyes, they shall put it in their hand, and take it away.(KJV-1611) 1Ki 20:6 Koulye a, denmen vè lè konsa, m'ap voye moun pa m' yo pou yo fouye palè ou la ak kay tout moun pa ou yo, pou yo pran tou sa y'a jwenn ki gen valè nan je yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:7 ============ 1Ki 20:7 Then the king of Israel called all the elders of the land, and said, Mark, I pray you, and see how this man seeketh mischief: for he sent unto me for my wives, and for my children, and for my silver, and for my gold; and I denied him not.(KJV-1611) 1Ki 20:7 Wa Akab fè rele tout chèf fanmi ki nan peyi a, li di yo konsa: -Jan nou wè l' la, nonm sa a soti pou l' pran tou sa nou genyen. Li te voye mande m' madanm mwen yo, pitit gason m' yo ak tout bagay an lò ak an ajan mwen genyen. Mwen pa refize l' anyen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:8 ============ 1Ki 20:8 And all the elders and all the people said unto him, Hearken not unto him, nor consent.(KJV-1611) 1Ki 20:8 Chèf fanmi yo ansanm ak pèp la di l' konsa: -Pa koute l', pa dakò avè l'!(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:9 ============ 1Ki 20:9 Wherefore he said unto the messengers of Benhadad, Tell my lord the king, All that thou didst send for to thy servant at the first I will do: but this thing I may not do. And the messengers departed, and brought him word again.(KJV-1611) 1Ki 20:9 Lè sa a, Akab di mesaje Bennadab yo: -Ale di mèt mwen, wa Bennadab, m' te dakò ak sa li te mande m' premye fwa a. Men, sa l' mande fwa sa a, m' pa ka fè l'. Mesaje yo pati, y' al pote repons lan bay Bennadad.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:10 ============ 1Ki 20:10 And Benhadad sent unto him, and said, The gods do so unto me, and more also, if the dust of Samaria shall suffice for handfuls for all the people that follow me.(KJV-1611) 1Ki 20:10 Bennadab voye yo tounen al di Akab: -M'ap vini ak anpil moun pou m' kraze lavil Samari. p'ap gen ase demoli pou m' bay chak moun ki avè m' yo ti kras pou yo pote ale sitèlman y'ap anpil. Si m' pa fè sa, se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:11 ============ 1Ki 20:11 And the king of Israel answered and said, Tell him, Let not him that girdeth on his harness boast himself as he that putteth it off.(KJV-1611) 1Ki 20:11 Wa Akab voye reponn li: -Yon sòlda pa fèt pou l' ap vante tèt li anvan l' al goumen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:12 ============ 1Ki 20:12 And it came to pass, when Ben-hadad heard this message, as he was drinking, he and the kings in the pavilions, that he said unto his servants, Set yourselves in array. And they set themselves in array against the city.(KJV-1611) 1Ki 20:12 Bennadad t'ap bwè ak lòt wa yo anba tant yo lè yo pote repons Akab la ba li. Lamenm, li bay moun pa l' yo lòd pou yo mache sou lavil Samari. Se konsa, y' al pare pou atake.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:13 ============ 1Ki 20:13 And, behold, there came a prophet unto Ahab king of Israel, saying, Thus saith the LORD, Hast thou seen all this great multitude? behold, I will deliver it into thine hand this day; and thou shalt know that I am the LORD.(KJV-1611) 1Ki 20:13 Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:14 ============ 1Ki 20:14 And Ahab said, By whom? And he said, Thus saith the LORD, Even by the young men of the princes of the provinces. Then he said, Who shall order the battle? And he answered, Thou.(KJV-1611) 1Ki 20:14 Akab mande l': -Ki moun ou pral fè lage yo nan men m' jòdi a? Pwofèt la reponn li: -Seyè a voye di ou se jenn sòlda ki sou lòd gouvènè pwovens yo ki pral fè l'. Wa mande ankò: -Ki moun ki pral atake anvan? Pwofèt la reponn: -Ou menm.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:15 ============ 1Ki 20:15 Then he numbered the young men of the princes of the provinces, and they were two hundred and thirty two: and after them he numbered all the people, even all the children of Israel, being seven thousand.(KJV-1611) 1Ki 20:15 Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde gason.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:16 ============ 1Ki 20:16 And they went out at noon. But Benhadad was drinking himself drunk in the pavilions, he and the kings, the thirty and two kings that helped him.(KJV-1611) 1Ki 20:16 Vè midi, yo soti al atake pandan Bennadad ansanm ak trannde lòt wa ki t'ap mache avè l' yo t'ap bwè anba tant yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:17 ============ 1Ki 20:17 And the young men of the princes of the provinces went out first; and Benhadad sent out, and they told him, saying, There are men come out of Samaria.(KJV-1611) 1Ki 20:17 Se jenn sòlda yo ki t'ap mache devan. Bennadad te voye al wè jan sa ye bò kay moun pèp Izrayèl yo. Yo vin di li yo wè yon gwoup sòlda ki t'ap soti lavil Samari.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:18 ============ 1Ki 20:18 And he said, Whether they be come out for peace, take them alive; or whether they be come out for war, take them alive.(KJV-1611) 1Ki 20:18 Lè sa a, li di: -M' pa bezwen konnen si y'ap vin pou goumen osinon pou mande lapè, kenbe yo vivan mennen ban mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:19 ============ 1Ki 20:19 So these young men of the princes of the provinces came out of the city, and the army which followed them.(KJV-1611) 1Ki 20:19 Jenn sòlda gouvènè yo soti nan lavil la pou al atake. Yo t'ap mache devan, rès lame a t'ap swiv yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:20 ============ 1Ki 20:20 And they slew every one his man: and the Syrians fled; and Israel pursued them: and Benhadad the king of Syria escaped on an horse with the horsemen.(KJV-1611) 1Ki 20:20 Yo chak yo touye moun ki te vin pou goumen ak yo a. Moun peyi Siri yo pran kouri, moun Izrayèl yo menm t'ap kouri dèyè yo. Bennadad menm resi chape kò l' sou chwal ansanm ak kèk lòt kavalye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:21 ============ 1Ki 20:21 And the king of Israel went out, and smote the horses and chariots, and slew the Syrians with a great slaughter.(KJV-1611) 1Ki 20:21 Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:22 ============ 1Ki 20:22 And the prophet came to the king of Israel, and said unto him, Go, strengthen thyself, and mark, and see what thou doest: for at the return of the year the king of Syria will come up against thee.(KJV-1611) 1Ki 20:22 Apre sa, pwofèt la al jwenn wa Akab, li di l' konsa: -Ou mèt tounen koulye a, mete lame ou la anfòm. Kalkile byen sou sa ou pral fè, paske nan ennan, dat pou dat, wa peyi Siri a ap tounen vin atake ou ankò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:23 ============ 1Ki 20:23 And the servants of the king of Syria said unto him, Their gods are gods of the hills; therefore they were stronger than we; but let us fight against them in the plain, and surely we shall be stronger than they.(KJV-1611) 1Ki 20:23 Chèf ki te avèk wa Bennadad yo vin di l': -Bondye pèp Izrayèl yo se bondye mòn yo ye. Se poutèt sa yo bat nou jan yo bat nou an. Men, si nou goumen ak yo nan tè plat, wè pa wè, n'ap bat yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:24 ============ 1Ki 20:24 And do this thing, Take the kings away, every man out of his place, and put captains in their rooms:(KJV-1611) 1Ki 20:24 Koulye a, men sa ou pral fè. Wete kòmandman an nan men lòt wa yo, mete chèf pa ou nan plas yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:25 ============ 1Ki 20:25 And number thee an army, like the army that thou hast lost, horse for horse, and chariot for chariot: and we will fight against them in the plain, and surely we shall be stronger than they. And he hearkened unto their voice, and did so.(KJV-1611) 1Ki 20:25 Ou menm ou pral moute yon gwo lame tankou lame ou pèdi a, ak menm kantite chwal ak cha lagè ou te gen anvan an. Nou pral goumen ak moun pèp Izrayèl yo nan plenn. W'ap wè fwa sa a n'ap bat yo. Wa Bennadad dakò, li fè sa chèf yo te di l' fè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:26 ============ 1Ki 20:26 And it came to pass at the return of the year, that Benhadad numbered the Syrians, and went up to Aphek, to fight against Israel.(KJV-1611) 1Ki 20:26 Ennan apre, dat pou dat, li reyini tout sòlda moun peyi Siri yo, li mennen yo jouk lavil Afèk pou y' al atake moun peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:27 ============ 1Ki 20:27 And the children of Israel were numbered, and were all present, and went against them: and the children of Israel pitched before them like two little flocks of kids; but the Syrians filled the country.(KJV-1611) 1Ki 20:27 Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:28 ============ 1Ki 20:28 And there came a man of God, and spake unto the king of Israel, and said, Thus saith the LORD, Because the Syrians have said, The LORD is God of the hills, but he is not God of the valleys, therefore will I deliver all this great multitude into thine hand, and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) 1Ki 20:28 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:29 ============ 1Ki 20:29 And they pitched one over against the other seven days. And so it was, that in the seventh day the battle was joined: and the children of Israel slew of the Syrians an hundred thousand footmen in one day.(KJV-1611) 1Ki 20:29 Pandan sèt jou, moun Siri yo ak moun Izrayèl yo rete nan kan yo, yonn anfas lòt. Sou setyèm jou a yo konmanse goumen. Moun Izrayèl yo touye sanmil moun Siri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:30 ============ 1Ki 20:30 But the rest fled to Aphek, into the city; and there a wall fell upon twenty and seven thousand of the men that were left. And Benhadad fled, and came into the city, into an inner chamber.(KJV-1611) 1Ki 20:30 Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:31 ============ 1Ki 20:31 And his servants said unto him, Behold now, we have heard that the kings of the house of Israel are merciful kings: let us, I pray thee, put sackcloth on our loins, and ropes upon our heads, and go out to the king of Israel: peradventure he will save thy life.(KJV-1611) 1Ki 20:31 Moun pa l' yo vin jwenn li, yo di l' konsa: -Nou tande jan wa peyi Izrayèl yo se moun ki gen bon kè. Ban nou otorizasyon pou n' al jwenn wa peyi Izrayèl la. N'ap mete rad sak sou nou tankou moun yo fè prizonye. Ou pa janm konnen li ka sove lavi ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:32 ============ 1Ki 20:32 So they girded sackcloth on their loins, and put ropes on their heads, and came to the king of Israel, and said, Thy servant Benhadad saith, I pray thee, let me live. And he said, Is he yet alive? he is my brother.(KJV-1611) 1Ki 20:32 Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plòtonnen moso kòd nan kou yo, y' al jwenn Akab, yo di l' konsa: -Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l'. Akab reponn: -An! Msye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi!(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:33 ============ 1Ki 20:33 Now the men did diligently observe whether any thing would come from him, and did hastily catch it: and they said, Thy brother Benhadad. Then he said, Go ye, bring him. Then Benhadad came forth to him; and he caused him to come up into the chariot.(KJV-1611) 1Ki 20:33 Moun Bennadad yo pran sa pou yon bon siy, yo repete pawòl ki te fèk sot nan bouch wa a, yo di l' konsa: -Bennadad, se frè monwa! Akab reponn: -Al chache l' mennen ban mwen! Bennadad soti kote l' te ye a, li parèt devan Akab, Akab fè l' moute sou cha pa l' ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:34 ============ 1Ki 20:34 And Ben-hadad said unto him, The cities, which my father took from thy father, I will restore; and thou shalt make streets for thee in Damascus, as my father made in Samaria. Then said Ahab, I will send thee away with this covenant. So he made a covenant with him, and sent him away.(KJV-1611) 1Ki 20:34 Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:35 ============ 1Ki 20:35 And a certain man of the sons of the prophets said unto his neighbour in the word of the LORD, Smite me, I pray thee. And the man refused to smite him.(KJV-1611) 1Ki 20:35 Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:36 ============ 1Ki 20:36 Then said he unto him, Because thou hast not obeyed the voice of the LORD, behold, as soon as thou art departed from me, a lion shall slay thee. And as soon as he was departed from him, a lion found him, and slew him.(KJV-1611) 1Ki 20:36 Lè sa a, premye pwofèt la di l' konsa: -Poutèt ou derefize obeyi lòd Seyè a, separe n'a separe, yon lyon ap touye ou. Konsa vre, ale premye pwofèt la ale, yon lyon vin rive, li touye lòt pwofèt la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:37 ============ 1Ki 20:37 Then he found another man, and said, Smite me, I pray thee. And the man smote him, so that in smiting he wounded him.(KJV-1611) 1Ki 20:37 Apre sa, premye pwofèt la kontre yon lòt moun, li mande l' pou li ba l' kou. Nonm lan frape l' byen fò, jouk li mete san l' deyò.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:38 ============ 1Ki 20:38 So the prophet departed, and waited for the king by the way, and disguised himself with ashes upon his face.(KJV-1611) 1Ki 20:38 Lèfini, pwofèt la kouvri figi l' ak yon moso twal pou moun pa rekonèt li, l' al kanpe bò wout la ap tann wa a pase.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:39 ============ 1Ki 20:39 And as the king passed by, he cried unto the king: and he said, Thy servant went out into the midst of the battle; and, behold, a man turned aside, and brought a man unto me, and said, Keep this man: if by any means he be missing, then shall thy life be for his life, or else thou shalt pay a talent of silver.(KJV-1611) 1Ki 20:39 Lè wa a vin ap pase, pwofèt la pran pale byen fò, li di konsa: -Monwa, mwen te nan mitan batay la, mwen t'ap goumen lè yon sòlda mennen yon lènmi li te fè prizonye. Li di m' konsa: Veye msye pou mwen. Si ou kite l' chape anba men ou, m'ap touye ou osinon w'ap peye twamil pyès an ajan pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:40 ============ 1Ki 20:40 And as thy servant was busy here and there, he was gone. And the king of Israel said unto him, So shall thy judgment be; thyself hast decided it.(KJV-1611) 1Ki 20:40 Men, monwa, pandan m' okipe ap fè lòt bagay, prizonye a sove. Wa Izrayèl la di l' konsa: -Se ou menm ki kondannen tèt ou, lèfini ou tou di sa ou gen pou peye pou sa ou fè a!(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:41 ============ 1Ki 20:41 And he hasted, and took the ashes away from his face; and the king of Israel discerned him that he was of the prophets.(KJV-1611) 1Ki 20:41 Pwofèt la prese wete moso twal ki te bouche figi l' la. Lamenm wa a rekonèt se yonn nan pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:42 ============ 1Ki 20:42 And he said unto him, Thus saith the LORD, Because thou hast let go out of thy hand a man whom I appointed to utter destruction, therefore thy life shall go for his life, and thy people for his people.(KJV-1611) 1Ki 20:42 Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 20:43 ============ 1Ki 20:43 And the king of Israel went to his house heavy and displeased, and came to Samaria.(KJV-1611) 1Ki 20:43 Se konsa, wa peyi Izrayèl la tounen lakay li lavil Samari, li te boulvèse, men li byen mare.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:1 ============ 1Ki 21:1 And it came to pass after these things, that Naboth the Jezreelite had a vineyard, which was in Jezreel, hard by the palace of Ahab king of Samaria.(KJV-1611) 1Ki 21:1 Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:2 ============ 1Ki 21:2 And Ahab spake unto Naboth, saying, Give me thy vineyard, that I may have it for a garden of herbs, because it is near unto my house: and I will give thee for it a better vineyard than it; or, if it seem good to thee, I will give thee the worth of it in money.(KJV-1611) 1Ki 21:2 Yon jou, wa Akab di Nabòt konsa: -Ban m' jaden rezen ou lan pou m' ka fè yon jaden legim. Li toupre kay mwen. m'a ba ou yon lòt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:3 ============ 1Ki 21:3 And Naboth said to Ahab, The LORD forbid it me, that I should give the inheritance of my fathers unto thee.(KJV-1611) 1Ki 21:3 Men, Nabòt reponn Akab: -Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:4 ============ 1Ki 21:4 And Ahab came into his house heavy and displeased because of the word which Naboth the Jezreelite had spoken to him: for he had said, I will not give thee the inheritance of my fathers. And he laid him down upon his bed, and turned away his face, and would eat no bread.(KJV-1611) 1Ki 21:4 Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutèt Nabòt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:5 ============ 1Ki 21:5 But Jezebel his wife came to him, and said unto him, Why is thy spirit so sad, that thou eatest no bread?(KJV-1611) 1Ki 21:5 Jezabèl, madanm li, vin bò kote l'. Li mande l': -Sa ou genyen ou move konsa? Poukisa ou pa manje?(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:6 ============ 1Ki 21:6 And he said unto her, Because I spake unto Naboth the Jezreelite, and said unto him, Give me thy vineyard for money; or else, if it please thee, I will give thee another vineyard for it: and he answered, I will not give thee my vineyard.(KJV-1611) 1Ki 21:6 Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:7 ============ 1Ki 21:7 And Jezebel his wife said unto him, Dost thou now govern the kingdom of Israel? arise, and eat bread, and let thine heart be merry: I will give thee the vineyard of Naboth the Jezreelite.(KJV-1611) 1Ki 21:7 Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:8 ============ 1Ki 21:8 So she wrote letters in Ahab's name, and sealed them with his seal, and sent the letters unto the elders and to the nobles that were in his city, dwelling with Naboth.(KJV-1611) 1Ki 21:8 Jezabèl ekri kèk lèt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chèf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyèl menm kote ak Nabòt.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:9 ============ 1Ki 21:9 And she wrote in the letters, saying, Proclaim a fast, and set Naboth on high among the people:(KJV-1611) 1Ki 21:9 Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:10 ============ 1Ki 21:10 And set two men, sons of Belial, before him, to bear witness against him, saying, Thou didst blaspheme God and the king. And then carry him out, and stone him, that he may die.(KJV-1611) 1Ki 21:10 Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:11 ============ 1Ki 21:11 And the men of his city, even the elders and the nobles who were the inhabitants in his city, did as Jezebel had sent unto them, and as it was written in the letters which she had sent unto them.(KJV-1611) 1Ki 21:11 Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:12 ============ 1Ki 21:12 They proclaimed a fast, and set Naboth on high among the people.(KJV-1611) 1Ki 21:12 Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:13 ============ 1Ki 21:13 And there came in two men, children of Belial, and sat before him: and the men of Belial witnessed against him, even against Naboth, in the presence of the people, saying, Naboth did blaspheme God and the king. Then they carried him forth out of the city, and stoned him with stones, that he died.(KJV-1611) 1Ki 21:13 De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:14 ============ 1Ki 21:14 Then they sent to Jezebel, saying, Naboth is stoned, and is dead.(KJV-1611) 1Ki 21:14 Apre sa, yo voye di Jezabèl: -Nou kalonnen Nabòt wòch, li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:15 ============ 1Ki 21:15 And it came to pass, when Jezebel heard that Naboth was stoned, and was dead, that Jezebel said to Ahab, Arise, take possession of the vineyard of Naboth the Jezreelite, which he refused to give thee for money: for Naboth is not alive, but dead.(KJV-1611) 1Ki 21:15 Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:16 ============ 1Ki 21:16 And it came to pass, when Ahab heard that Naboth was dead, that Ahab rose up to go down to the vineyard of Naboth the Jezreelite, to take possession of it.(KJV-1611) 1Ki 21:16 Lè wa Akab tande Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, te mouri, l' ale, li pran jaden rezen an pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:17 ============ 1Ki 21:17 And the word of the LORD came to Elijah the Tishbite, saying,(KJV-1611) 1Ki 21:17 Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, pwofèt lavil Tichbe a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:18 ============ 1Ki 21:18 Arise, go down to meet Ahab king of Israel, which is in Samaria: behold, he is in the vineyard of Naboth, whither he is gone down to possess it.(KJV-1611) 1Ki 21:18 -Al jwenn wa Akab nan peyi Samari. W'ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabòt la. Li vin pran l' pou li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:19 ============ 1Ki 21:19 And thou shalt speak unto him, saying, Thus saith the LORD, Hast thou killed, and also taken possession? And thou shalt speak unto him, saying, Thus saith the LORD, In the place where dogs licked the blood of Naboth shall dogs lick thy blood, even thine.(KJV-1611) 1Ki 21:19 W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:20 ============ 1Ki 21:20 And Ahab said to Elijah, Hast thou found me, O mine enemy? And he answered, I have found thee: because thou hast sold thyself to work evil in the sight of the LORD.(KJV-1611) 1Ki 21:20 Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:21 ============ 1Ki 21:21 Behold, I will bring evil upon thee, and will take away thy posterity, and will cut off from Ahab him that pisseth against the wall, and him that is shut up and left in Israel,(KJV-1611) 1Ki 21:21 Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:22 ============ 1Ki 21:22 And will make thine house like the house of Jeroboam the son of Nebat, and like the house of Baasha the son of Ahijah, for the provocation wherewith thou hast provoked me to anger, and made Israel to sin.(KJV-1611) 1Ki 21:22 Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:23 ============ 1Ki 21:23 And of Jezebel also spake the LORD, saying, The dogs shall eat Jezebel by the wall of Jezreel.(KJV-1611) 1Ki 21:23 Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:24 ============ 1Ki 21:24 Him that dieth of Ahab in the city the dogs shall eat; and him that dieth in the field shall the fowls of the air eat.(KJV-1611) 1Ki 21:24 Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:25 ============ 1Ki 21:25 But there was none like unto Ahab, which did sell himself to work wickedness in the sight of the LORD, whom Jezebel his wife stirred up.(KJV-1611) 1Ki 21:25 Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:26 ============ 1Ki 21:26 And he did very abominably in following idols, according to all things as did the Amorites, whom the LORD cast out before the children of Israel.(KJV-1611) 1Ki 21:26 Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:27 ============ 1Ki 21:27 And it came to pass, when Ahab heard those words, that he rent his clothes, and put sackcloth upon his flesh, and fasted, and lay in sackcloth, and went softly.(KJV-1611) 1Ki 21:27 Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:28 ============ 1Ki 21:28 And the word of the LORD came to Elijah the Tishbite, saying,(KJV-1611) 1Ki 21:28 Apre sa, Seyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Kings 21:29 ============ 1Ki 21:29 Seest thou how Ahab humbleth himself before me? because he humbleth himself before me, I will not bring the evil in his days: but in his son's days will I bring the evil upon his house.(KJV-1611) 1Ki 21:29 -Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:1 ============ 1Ki 22:1 And they continued three years without war between Syria and Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:1 Pandan twazan, pa t' gen lagè ant peyi Izrayèl ak peyi Siri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:2 ============ 1Ki 22:2 And it came to pass in the third year, that Jehoshaphat the king of Judah came down to the king of Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:2 Men nan twazyèm lanne a, Jozafa, wa peyi Jida a, al vizite Akab, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:3 ============ 1Ki 22:3 And the king of Israel said unto his servants, Know ye that Ramoth in Gilead is ours, and we be still, and take it not out of the hand of the king of Syria?(KJV-1611) 1Ki 22:3 Wa Izrayèl la di chèf li yo: -Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:4 ============ 1Ki 22:4 And he said unto Jehoshaphat, Wilt thou go with me to battle to Ramothgilead? And Jehoshaphat said to the king of Israel, I am as thou art, my people as thy people, my horses as thy horses.(KJV-1611) 1Ki 22:4 Lèfini li mande Jozafa: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:5 ============ 1Ki 22:5 And Jehoshaphat said unto the king of Israel, Enquire, I pray thee, at the word of the LORD to day.(KJV-1611) 1Ki 22:5 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Annou mande Seyè a sa li di nan sa.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:6 ============ 1Ki 22:6 Then the king of Israel gathered the prophets together, about four hundred men, and said unto them, Shall I go against Ramothgilead to battle, or shall I forbear? And they said, Go up; for the LORD shall deliver it into the hand of the king.(KJV-1611) 1Ki 22:6 Se konsa Akab reyini katsan pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:7 ============ 1Ki 22:7 And Jehoshaphat said, Is there not here a prophet of the LORD besides, that we might enquire of him?(KJV-1611) 1Ki 22:7 Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa vre?(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:8 ============ 1Ki 22:8 And the king of Israel said unto Jehoshaphat, There is yet one man, Micaiah the son of Imlah, by whom we may enquire of the LORD: but I hate him; for he doth not prophesy good concerning me, but evil. And Jehoshaphat said, Let not the king say so.(KJV-1611) 1Ki 22:8 Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:9 ============ 1Ki 22:9 Then the king of Israel called an officer, and said, Hasten hither Micaiah the son of Imlah.(KJV-1611) 1Ki 22:9 Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di li: -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:10 ============ 1Ki 22:10 And the king of Israel and Jehoshaphat the king of Judah sat each on his throne, having put on their robes, in a void place in the entrance of the gate of Samaria; and all the prophets prophesied before them.(KJV-1611) 1Ki 22:10 Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita, yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:11 ============ 1Ki 22:11 And Zedekiah the son of Chenaanah made him horns of iron: and he said, Thus saith the LORD, With these shalt thou push the Syrians, until thou have consumed them.(KJV-1611) 1Ki 22:11 Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo, ou pral fini ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:12 ============ 1Ki 22:12 And all the prophets prophesied so, saying, Go up to Ramothgilead, and prosper: for the LORD shall deliver it into the king's hand.(KJV-1611) 1Ki 22:12 Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:13 ============ 1Ki 22:13 And the messenger that was gone to call Micaiah spake unto him, saying, Behold now, the words of the prophets declare good unto the king with one mouth: let thy word, I pray thee, be like the word of one of them, and speak that which is good.(KJV-1611) 1Ki 22:13 Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:14 ============ 1Ki 22:14 And Micaiah said, As the LORD liveth, what the LORD saith unto me, that will I speak.(KJV-1611) 1Ki 22:14 Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:15 ============ 1Ki 22:15 So he came to the king. And the king said unto him, Micaiah, shall we go against Ramothgilead to battle, or shall we forbear? And he answered him, Go, and prosper: for the LORD shall deliver it into the hand of the king.(KJV-1611) 1Ki 22:15 Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske sè pou m' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:16 ============ 1Ki 22:16 And the king said unto him, How many times shall I adjure thee that thou tell me nothing but that which is true in the name of the LORD?(KJV-1611) 1Ki 22:16 Men Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a se pou di m' laverite?(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:17 ============ 1Ki 22:17 And he said, I saw all Israel scattered upon the hills, as sheep that have not a shepherd: and the LORD said, These have no master: let them return every man to his house in peace.(KJV-1611) 1Ki 22:17 Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:18 ============ 1Ki 22:18 And the king of Israel said unto Jehoshaphat, Did I not tell thee that he would prophesy no good concerning me, but evil?(KJV-1611) 1Ki 22:18 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:19 ============ 1Ki 22:19 And he said, Hear thou therefore the word of the LORD: I saw the LORD sitting on his throne, and all the host of heaven standing by him on his right hand and on his left.(KJV-1611) 1Ki 22:19 Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:20 ============ 1Ki 22:20 And the LORD said, Who shall persuade Ahab, that he may go up and fall at Ramothgilead? And one said on this manner, and another said on that manner.(KJV-1611) 1Ki 22:20 Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:21 ============ 1Ki 22:21 And there came forth a spirit, and stood before the LORD, and said, I will persuade him.(KJV-1611) 1Ki 22:21 Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tèt li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:22 ============ 1Ki 22:22 And the LORD said unto him, Wherewith? And he said, I will go forth, and I will be a lying spirit in the mouth of all his prophets. And he said, Thou shalt persude him, and prevail also: go forth, and do so.(KJV-1611) 1Ki 22:22 Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:23 ============ 1Ki 22:23 Now therefore, behold, the LORD hath put a lying spirit in the mouth of all these thy prophets, and the LORD hath spoken evil concerning thee.(KJV-1611) 1Ki 22:23 Koulye a, ou konnen si Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:24 ============ 1Ki 22:24 But Zedekiah the son of Chenaanah went near, and smote Micaiah on the cheek, and said, Which way went the Spirit of the LORD from me to speak unto thee?(KJV-1611) 1Ki 22:24 Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:25 ============ 1Ki 22:25 And Micaiah said, Behold, thou shalt see in that day, when thou shalt go into an inner chamber to hide thyself.(KJV-1611) 1Ki 22:25 Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase soti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:26 ============ 1Ki 22:26 And the king of Israel said, Take Micaiah, and carry him back unto Amon the governor of the city, and to Joash the king's son;(KJV-1611) 1Ki 22:26 Se konsa, wa Akab pase yon lòd, li di: -Pran Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:27 ============ 1Ki 22:27 And say, Thus saith the king, Put this fellow in the prison, and feed him with bread of affliction and with water of affliction, until I come in peace.(KJV-1611) 1Ki 22:27 Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ni malè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:28 ============ 1Ki 22:28 And Micaiah said, If thou return at all in peace, the LORD hath not spoken by me. And he said, Hearken, O people, every one of you.(KJV-1611) 1Ki 22:28 Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:29 ============ 1Ki 22:29 So the king of Israel and Jehoshaphat the king of Judah went up to Ramothgilead.(KJV-1611) 1Ki 22:29 Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:30 ============ 1Ki 22:30 And the king of Israel said unto Jehoshaphat, I will disguise myself, and enter into the battle; but put thou on thy robes. And the king of Israel disguised himself, and went into the battle.(KJV-1611) 1Ki 22:30 Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m' al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l' al goumen.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:31 ============ 1Ki 22:31 But the king of Syria commanded his thirty and two captains that had rule over his chariots, saying, Fight neither with small nor great, save only with the king of Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:31 Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:32 ============ 1Ki 22:32 And it came to pass, when the captains of the chariots saw Jehoshaphat, that they said, Surely it is the king of Israel. And they turned aside to fight against him: and Jehoshaphat cried out.(KJV-1611) 1Ki 22:32 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou atake l'. Men, Jozafa rele anmwe.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:33 ============ 1Ki 22:33 And it came to pass, when the captains of the chariots perceived that it was not the king of Israel, that they turned back from pursuing him.(KJV-1611) 1Ki 22:33 Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:34 ============ 1Ki 22:34 And a certain man drew a bow at a venture, and smote the king of Israel between the joints of the harness: wherefore he said unto the driver of his chariot, Turn thine hand, and carry me out of the host; for I am wounded.(KJV-1611) 1Ki 22:34 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:35 ============ 1Ki 22:35 And the battle increased that day: and the king was stayed up in his chariot against the Syrians, and died at even: and the blood ran out of the wound into the midst of the chariot.(KJV-1611) 1Ki 22:35 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule soti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:36 ============ 1Ki 22:36 And there went a proclamation throughout the host about the going down of the sun, saying, Every man to his city, and every man to his own country.(KJV-1611) 1Ki 22:36 Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:37 ============ 1Ki 22:37 So the king died, and was brought to Samaria; and they buried the king in Samaria.(KJV-1611) 1Ki 22:37 paske wa a mouri. Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:38 ============ 1Ki 22:38 And one washed the chariot in the pool of Samaria; and the dogs licked up his blood; and they washed his armour; according unto the word of the LORD which he spake.(KJV-1611) 1Ki 22:38 Y' al lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Seyè a te di sa t'ap rive a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:39 ============ 1Ki 22:39 Now the rest of the acts of Ahab, and all that he did, and the ivory house which he made, and all the cities that he built, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 1Ki 22:39 Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:40 ============ 1Ki 22:40 So Ahab slept with his fathers; and Ahaziah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 22:40 Lè Akab mouri, se pitit li, Okozyas ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:41 ============ 1Ki 22:41 And Jehoshaphat the son of Asa began to reign over Judah in the fourth year of Ahab king of Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:41 Akab te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Jozafa, pitit Asa a, moute sou fotèy wa peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:42 ============ 1Ki 22:42 Jehoshaphat was thirty and five years old when he began to reign; and he reigned twenty and five years in Jerusalem. And his mother's name was Azubah the daughter of Shilhi.(KJV-1611) 1Ki 22:42 Lè sa a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman li te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:43 ============ 1Ki 22:43 And he walked in all the ways of Asa his father; he turned not aside from it, doing that which was right in the eyes of the LORD: nevertheless the high places were not taken away; for the people offered and burnt incense yet in the high places.(KJV-1611) 1Ki 22:43 Jozafa li menm te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa l' te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t' sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:44 ============ 1Ki 22:44 And Jehoshaphat made peace with the king of Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:44 Jozafa te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:45 ============ 1Ki 22:45 Now the rest of the acts of Jehoshaphat, and his might that he shewed, and how he warred, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 1Ki 22:45 n'a jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo,(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:46 ============ 1Ki 22:46 And the remnant of the sodomites, which remained in the days of his father Asa, he took out of the land.(KJV-1611) 1Ki 22:46 jan li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou rèy Asa, papa l'.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:47 ============ 1Ki 22:47 There was then no king in Edom: a deputy was king.(KJV-1611) 1Ki 22:47 (Lè sa a, pa t' gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:48 ============ 1Ki 22:48 Jehoshaphat made ships of Tharshish to go to Ophir for gold: but they went not; for the ships were broken at Eziongeber.(KJV-1611) 1Ki 22:48 Jozafa te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:49 ============ 1Ki 22:49 Then said Ahaziah the son of Ahab unto Jehoshaphat, Let my servants go with thy servants in the ships. But Jehoshaphat would not.(KJV-1611) 1Ki 22:49 Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:50 ============ 1Ki 22:50 And Jehoshaphat slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David his father: and Jehoram his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ki 22:50 Lè Jozafa mouri, yo antere l' nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:51 ============ 1Ki 22:51 Ahaziah the son of Ahab began to reign over Israel in Samaria the seventeenth year of Jehoshaphat king of Judah, and reigned two years over Israel.(KJV-1611) 1Ki 22:51 Jozafa t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a, lè Okozyas, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:52 ============ 1Ki 22:52 And he did evil in the sight of the LORD, and walked in the way of his father, and in the way of his mother, and in the way of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin:(KJV-1611) 1Ki 22:52 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li swiv egzanp papa l' ak manman l'. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Kings 22:53 ============ 1Ki 22:53 For he served Baal, and worshipped him, and provoked to anger the LORD God of Israel, according to all that his father had done.(KJV-1611) 1Ki 22:53 Li sèvi Baal, li adore l' tankou papa l' te fè a. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:1 ============ 2Ki 1:1 Then Moab rebelled against Israel after the death of Ahab.(KJV-1611) 2Ki 1:1 Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl la, peyi Moab pran lèzam kont moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:2 ============ 2Ki 1:2 And Ahaziah fell down through a lattice in his upper chamber that was in Samaria, and was sick: and he sent messengers, and said unto them, Go, enquire of Baalzebub the god of Ekron whether I shall recover of this disease.(KJV-1611) 2Ki 1:2 Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:3 ============ 2Ki 1:3 But the angel of the LORD said to Elijah the Tishbite, Arise, go up to meet the messengers of the king of Samaria, and say unto them, Is it not because there is not a God in Israel, that ye go to enquire of Baalzebub the god of Ekron?(KJV-1611) 2Ki 1:3 Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: --Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:4 ============ 2Ki 1:4 Now therefore thus saith the LORD, Thou shalt not come down from that bed on which thou art gone up, but shalt surely die. And Elijah departed.(KJV-1611) 2Ki 1:4 W'a di yo tou men mesaj Seyè a voye bay wa a: Li p'ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri. Eli leve, li fè sa Seyè a te mande l' fè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:5 ============ 2Ki 1:5 And when the messengers turned back unto him, he said unto them, Why are ye now turned back?(KJV-1611) 2Ki 1:5 Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo: --Poukisa nou tounen?(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:6 ============ 2Ki 1:6 And they said unto him, There came a man up to meet us, and said unto us, Go, turn again unto the king that sent you, and say unto him, Thus saith the LORD, Is it not because there is not a God in Israel, that thou sendest to enquire of Baalzebub the god of Ekron? therefore thou shalt not come down from that bed on which thou art gone up, but shalt surely die.(KJV-1611) 2Ki 1:6 Yo reponn li: --Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:7 ============ 2Ki 1:7 And he said unto them, What manner of man was he which came up to meet you, and told you these words?(KJV-1611) 2Ki 1:7 Wa a mande yo: --Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:8 ============ 2Ki 1:8 And they answered him, He was an hairy man, and girt with a girdle of leather about his loins. And he said, It is Elijah the Tishbite.(KJV-1611) 2Ki 1:8 Msye yo reponn li: --Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: --Se Eli, moun lavil Tichbe a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:9 ============ 2Ki 1:9 Then the king sent unto him a captain of fifty with his fifty. And he went up to him: and, behold, he sat on the top of an hill. And he spake unto him, Thou man of God, the king hath said, Come down.(KJV-1611) 2Ki 1:9 Li voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa: --Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:10 ============ 2Ki 1:10 And Elijah answered and said to the captain of fifty, If I be a man of God, then let fire come down from heaven, and consume thee and thy fifty. And there came down fire from heaven, and consumed him and his fifty.(KJV-1611) 2Ki 1:10 Eli reponn: --Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:11 ============ 2Ki 1:11 Again also he sent unto him another captain of fifty with his fifty. And he answered and said unto him, O man of God, thus hath the king said, Come down quickly.(KJV-1611) 2Ki 1:11 Wa voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli: --Sèvitè Bondye, wa a voye di ou desann koulye a san pèdi tan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:12 ============ 2Ki 1:12 And Elijah answered and said unto them, If I be a man of God, let fire come down from heaven, and consume thee and thy fifty. And the fire of God came down from heaven, and consumed him and his fifty.(KJV-1611) 2Ki 1:12 Eli reponn: --Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l' kankannen nou. Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:13 ============ 2Ki 1:13 And he sent again a captain of the third fifty with his fifty. And the third captain of fifty went up, and came and fell on his knees before Elijah, and besought him, and said unto him, O man of God, I pray thee, let my life, and the life of these fifty thy servants, be precious in thy sight.(KJV-1611) 2Ki 1:13 Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l' konsa: --Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou!(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:14 ============ 2Ki 1:14 Behold, there came fire down from heaven, and burnt up the two captains of the former fifties with their fifties: therefore let my life now be precious in thy sight.(KJV-1611) 2Ki 1:14 Dife soti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:15 ============ 2Ki 1:15 And the angel of the LORD said unto Elijah, Go down with him: be not afraid of him. And he arose, and went down with him unto the king.(KJV-1611) 2Ki 1:15 Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: --Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:16 ============ 2Ki 1:16 And he said unto him, Thus saith the LORD, Forasmuch as thou hast sent messengers to enquire of Baalzebub the god of Ekron, is it not because there is no God in Israel to enquire of his word? therefore thou shalt not come down off that bed on which thou art gone up, but shalt surely die.(KJV-1611) 2Ki 1:16 Li di wa a konsa: --Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:17 ============ 2Ki 1:17 So he died according to the word of the LORD which Elijah had spoken. And Jehoram reigned in his stead in the second year of Jehoram the son of Jehoshaphat king of Judah; because he had no son.(KJV-1611) 2Ki 1:17 Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 1:18 ============ 2Ki 1:18 Now the rest of the acts of Ahaziah which he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 1:18 Tout rès istwa Okozyas la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:1 ============ 2Ki 2:1 And it came to pass, when the LORD would take up Elijah into heaven by a whirlwind, that Elijah went with Elisha from Gilgal.(KJV-1611) 2Ki 2:1 Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:2 ============ 2Ki 2:2 And Elijah said unto Elisha, Tarry here, I pray thee; for the LORD hath sent me to Bethel. And Elisha said unto him, As the LORD liveth, and as thy soul liveth, I will not leave thee. So they went down to Bethel.(KJV-1611) 2Ki 2:2 Eli di Elize konsa: --Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:3 ============ 2Ki 2:3 And the sons of the prophets that were at Bethel came forth to Elisha, and said unto him, Knowest thou that the LORD will take away thy master from thy head to day? And he said, Yea, I know it; hold ye your peace.(KJV-1611) 2Ki 2:3 Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: --Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:4 ============ 2Ki 2:4 And Elijah said unto him, Elisha, tarry here, I pray thee; for the LORD hath sent me to Jericho. And he said, As the LORD liveth, and as thy soul liveth, I will not leave thee. So they came to Jericho.(KJV-1611) 2Ki 2:4 Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a te ban m' lòd pou m' al Jeriko. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Jeriko.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:5 ============ 2Ki 2:5 And the sons of the prophets that were at Jericho came to Elisha, and said unto him, Knowest thou that the LORD will take away thy master from thy head to day? And he answered, Yea, I know it; hold ye your peace.(KJV-1611) 2Ki 2:5 Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: --Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: --Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:6 ============ 2Ki 2:6 And Elijah said unto him, Tarry, I pray thee, here; for the LORD hath sent me to Jordan. And he said, As the LORD liveth, and as thy soul liveth, I will not leave thee. And they two went on.(KJV-1611) 2Ki 2:6 Apre sa, Eli di Elize: --Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: --Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:7 ============ 2Ki 2:7 And fifty men of the sons of the prophets went, and stood to view afar off: and they two stood by Jordan.(KJV-1611) 2Ki 2:7 Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:8 ============ 2Ki 2:8 And Elijah took his mantle, and wrapped it together, and smote the waters, and they were divided hither and thither, so that they two went over on dry ground.(KJV-1611) 2Ki 2:8 Eli wete gwo rad ki te sou li a, li woule l', li frape dlo a avè l'. Dlo a fann de bò. Eli ak Elize janbe lòt bò larivyè a san pye yo pa mouye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:9 ============ 2Ki 2:9 And it came to pass, when they were gone over, that Elijah said unto Elisha, Ask what I shall do for thee, before I be taken away from thee. And Elisha said, I pray thee, let a double portion of thy spirit be upon me.(KJV-1611) 2Ki 2:9 Lè yo fin janbe, Eli di Elize konsa: --Di m' kisa ou ta vle m' fè pou ou anvan Bondye pran m'. Elize reponn li: --Mwen ta renmen resevwa yon pòsyon doub nan lespri ki sou ou a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:10 ============ 2Ki 2:10 And he said, Thou hast asked a hard thing: nevertheless, if thou see me when I am taken from thee, it shall be so unto thee; but if not, it shall not be so.(KJV-1611) 2Ki 2:10 Eli di li: --Sa ou mande m' la a pa fasil. Men, si ou wè m' ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m', w'a konnen ou p'ap jwenn li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:11 ============ 2Ki 2:11 And it came to pass, as they still went on, and talked, that, behold, there appeared a chariot of fire, and horses of fire, and parted them both asunder; and Elijah went up by a whirlwind into heaven.(KJV-1611) 2Ki 2:11 Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:12 ============ 2Ki 2:12 And Elisha saw it, and he cried, My father, my father, the chariot of Israel, and the horsemen thereof. And he saw him no more: and he took hold of his own clothes, and rent them in two pieces.(KJV-1611) 2Ki 2:12 Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: --Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:13 ============ 2Ki 2:13 He took up also the mantle of Elijah that fell from him, and went back, and stood by the bank of Jordan;(KJV-1611) 2Ki 2:13 Lèfini, li ranmase gwo rad ki te soti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:14 ============ 2Ki 2:14 And he took the mantle of Elijah that fell from him, and smote the waters, and said, Where is the LORD God of Elijah? and when he also had smitten the waters, they parted hither and thither: and Elisha went over.(KJV-1611) 2Ki 2:14 Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: --Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:15 ============ 2Ki 2:15 And when the sons of the prophets which were to view at Jericho saw him, they said, The spirit of Elijah doth rest on Elisha. And they came to meet him, and bowed themselves to the ground before him.(KJV-1611) 2Ki 2:15 Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: --Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:16 ============ 2Ki 2:16 And they said unto him, Behold now, there be with thy servants fifty strong men; let them go, we pray thee, and seek thy master: lest peradventure the Spirit of the LORD hath taken him up, and cast him upon some mountain, or into some valley. And he said, Ye shall not send.(KJV-1611) 2Ki 2:16 Yo di li: --Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: --Non. Pa voye pesonn dèyè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:17 ============ 2Ki 2:17 And when they urged him till he was ashamed, he said, Send. They sent therefore fifty men; and they sought three days, but found him not.(KJV-1611) 2Ki 2:17 Men yo kenbe la avè l' jouk li di yo: --Bon. Nou mèt ale! Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:18 ============ 2Ki 2:18 And when they came again to him, (for he tarried at Jericho,) he said unto them, Did I not say unto you, Go not?(KJV-1611) 2Ki 2:18 Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo: --Mwen pa t' di nou nou pa t' bezwen ale!(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:19 ============ 2Ki 2:19 And the men of the city said unto Elisha, Behold, I pray thee, the situation of this city is pleasant, as my lord seeth: but the water is naught, and the ground barren.(KJV-1611) 2Ki 2:19 Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: --Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:20 ============ 2Ki 2:20 And he said, Bring me a new cruse, and put salt therein. And they brought it to him.(KJV-1611) 2Ki 2:20 Elize di yo: --Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen! Yo pote veso sèl la bay Elize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:21 ============ 2Ki 2:21 And he went forth unto the spring of the waters, and cast the salt in there, and said, Thus saith the LORD, I have healed these waters; there shall not be from thence any more death or barren land.(KJV-1611) 2Ki 2:21 Elize moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di: --Men sa Seyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:22 ============ 2Ki 2:22 So the waters were healed unto this day, according to the saying of Elisha which he spake.(KJV-1611) 2Ki 2:22 Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:23 ============ 2Ki 2:23 And he went up from thence unto Bethel: and as he was going up by the way, there came forth little children out of the city, and mocked him, and said unto him, Go up, thou bald head; go up, thou bald head.(KJV-1611) 2Ki 2:23 Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: --Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:24 ============ 2Ki 2:24 And he turned back, and looked on them, and cursed them in the name of the LORD. And there came forth two she bears out of the wood, and tare forty and two children of them.(KJV-1611) 2Ki 2:24 Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 2:25 ============ 2Ki 2:25 And he went from thence to mount Carmel, and from thence he returned to Samaria.(KJV-1611) 2Ki 2:25 Apre sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:1 ============ 2Ki 3:1 Now Jehoram the son of Ahab began to reign over Israel in Samaria the eighteenth year of Jehoshaphat king of Judah, and reigned twelve years.(KJV-1611) 2Ki 3:1 Lè sa a, wa Jozafa t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:2 ============ 2Ki 3:2 And he wrought evil in the sight of the LORD; but not like his father, and like his mother: for he put away the image of Baal that his father had made.(KJV-1611) 2Ki 3:2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men pa tankou papa l' ak manman l' Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l' te mete kanpe pou sèvis Baal la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:3 ============ 2Ki 3:3 Nevertheless he cleaved unto the sins of Jeroboam the son of Nebat, which made Israel to sin; he departed not therefrom.(KJV-1611) 2Ki 3:3 Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:4 ============ 2Ki 3:4 And Mesha king of Moab was a sheepmaster, and rendered unto the king of Israel an hundred thousand lambs, and an hundred thousand rams, with the wool.(KJV-1611) 2Ki 3:4 Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil belye ak tout lenn yo sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:5 ============ 2Ki 3:5 But it came to pass, when Ahab was dead, that the king of Moab rebelled against the king of Israel.(KJV-1611) 2Ki 3:5 Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:6 ============ 2Ki 3:6 And king Jehoram went out of Samaria the same time, and numbered all Israel.(KJV-1611) 2Ki 3:6 Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:7 ============ 2Ki 3:7 And he went and sent to Jehoshaphat the king of Judah, saying, The king of Moab hath rebelled against me: wilt thou go with me against Moab to battle? And he said, I will go up: I am as thou art, my people as thy people, and my horses as thy horses.(KJV-1611) 2Ki 3:7 Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: --Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: --Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:8 ============ 2Ki 3:8 And he said, Which way shall we go up? And he answered, The way through the wilderness of Edom.(KJV-1611) 2Ki 3:8 Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: --N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:9 ============ 2Ki 3:9 So the king of Israel went, and the king of Judah, and the king of Edom: and they fetched a compass of seven days' journey: and there was no water for the host, and for the cattle that followed them.(KJV-1611) 2Ki 3:9 Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:10 ============ 2Ki 3:10 And the king of Israel said, Alas! that the LORD hath called these three kings together, to deliver them into the hand of Moab!(KJV-1611) 2Ki 3:10 Joram, wa peyi Izrayèl la, di: --Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:11 ============ 2Ki 3:11 But Jehoshaphat said, Is there not here a prophet of the LORD, that we may enquire of the LORD by him? And one of the king of Israel's servants answered and said, Here is Elisha the son of Shaphat, which poured water on the hands of Elijah.(KJV-1611) 2Ki 3:11 Jozafa mande: --Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: --Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:12 ============ 2Ki 3:12 And Jehoshaphat said, The word of the LORD is with him. So the king of Israel and Jehoshaphat and the king of Edom went down to him.(KJV-1611) 2Ki 3:12 Jozafa di: --Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:13 ============ 2Ki 3:13 And Elisha said unto the king of Israel, What have I to do with thee? get thee to the prophets of thy father, and to the prophets of thy mother. And the king of Israel said unto him, Nay: for the LORD hath called these three kings together, to deliver them into the hand of Moab.(KJV-1611) 2Ki 3:13 Elize di wa Izrayèl la konsa: --Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: --Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:14 ============ 2Ki 3:14 And Elisha said, As the LORD of hosts liveth, before whom I stand, surely, were it not that I regard the presence of Jehoshaphat the king of Judah, I would not look toward thee, nor see thee.(KJV-1611) 2Ki 3:14 Elize reponn: --Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:15 ============ 2Ki 3:15 But now bring me a minstrel. And it came to pass, when the minstrel played, that the hand of the LORD came upon him.(KJV-1611) 2Ki 3:15 Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:16 ============ 2Ki 3:16 And he said, Thus saith the LORD, Make this valley full of ditches.(KJV-1611) 2Ki 3:16 Elize di: --Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:17 ============ 2Ki 3:17 For thus saith the LORD, Ye shall not see wind, neither shall ye see rain; yet that valley shall be filled with water, that ye may drink, both ye, and your cattle, and your beasts.(KJV-1611) 2Ki 3:17 Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:18 ============ 2Ki 3:18 And this is but a light thing in the sight of the LORD: he will deliver the Moabites also into your hand.(KJV-1611) 2Ki 3:18 Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:19 ============ 2Ki 3:19 And ye shall smite every fenced city, and every choice city, and shall fell every good tree, and stop all wells of water, and mar every good piece of land with stones.(KJV-1611) 2Ki 3:19 Nou pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:20 ============ 2Ki 3:20 And it came to pass in the morning, when the meat offering was offered, that, behold, there came water by the way of Edom, and the country was filled with water.(KJV-1611) 2Ki 3:20 Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:21 ============ 2Ki 3:21 And when all the Moabites heard that the kings were come up to fight against them, they gathered all that were able to put on armour, and upward, and stood in the border.(KJV-1611) 2Ki 3:21 Lè moun Moab yo pran nouvèl twa wa yo te moute vin atake yo, tout gason ki te gen laj pou pote zam, gran kou piti, yo sanble, y' al mase kò yo sou fwontyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:22 ============ 2Ki 3:22 And they rose up early in the morning, and the sun shone upon the water, and the Moabites saw the water on the other side as red as blood:(KJV-1611) 2Ki 3:22 Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Moab yo te kwè se san.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:23 ============ 2Ki 3:23 And they said, This is blood: the kings are surely slain, and they have smitten one another: now therefore, Moab, to the spoil.(KJV-1611) 2Ki 3:23 Yo di: --Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:24 ============ 2Ki 3:24 And when they came to the camp of Israel, the Israelites rose up and smote the Moabites, so that they fled before them: but they went forward smiting the Moabites, even in their country.(KJV-1611) 2Ki 3:24 Men lè moun Moab yo rive nan kan moun Izrayèl yo, moun Izrayèl yo tonbe sou yo, yo kòmanse bat yo. Moun Moab yo pran kouri. Moun Izrayèl yo antre dèyè yo nan peyi Moab, yo touye tout moun Moab ki tonbe anba men yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:25 ============ 2Ki 3:25 And they beat down the cities, and on every good piece of land cast every man his stone, and filled it; and they stopped all the wells of water, and felled all the good trees: only in Kirharaseth left they the stones thereof; howbeit the slingers went about it, and smote it.(KJV-1611) 2Ki 3:25 Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bò yon bèl jaden, chak moun pran wòch, yo voye ladan l' jouk jaden an kouvri nèt ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bèl pyebwa yo. Sèl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresèt, kapital la. Sòlda yo sènen l', yo atake l' ak kout wòch.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:26 ============ 2Ki 3:26 And when the king of Moab saw that the battle was too sore for him, he took with him seven hundred men that drew swords, to break through even unto the king of Edom: but they could not.(KJV-1611) 2Ki 3:26 Lè wa peyi Moab la wè li t'ap pèdi batay la, li pran sètsan sòlda avè l'. Avèk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sòlda Izrayèl yo al fè wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pa t' kapab.(Creole-HT) ======= 2 Kings 3:27 ============ 2Ki 3:27 Then he took his eldest son that should have reigned in his stead, and offered him for a burnt offering upon the wall. And there was great indignation against Israel: and they departed from him, and returned to their own land.(KJV-1611) 2Ki 3:27 Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:1 ============ 2Ki 4:1 Now there cried a certain woman of the wives of the sons of the prophets unto Elisha, saying, Thy servant my husband is dead; and thou knowest that thy servant did fear the LORD: and the creditor is come to take unto him my two sons to be bondmen.(KJV-1611) 2Ki 4:1 Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: --Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:2 ============ 2Ki 4:2 And Elisha said unto her, What shall I do for thee? tell me, what hast thou in the house? And she said, Thine handmaid hath not any thing in the house, save a pot of oil.(KJV-1611) 2Ki 4:2 Elize mande l': --Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: --Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:3 ============ 2Ki 4:3 Then he said, Go, borrow thee vessels abroad of all thy neighbours, even empty vessels; borrow not a few.(KJV-1611) 2Ki 4:3 Lè sa a Elize di li: --Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:4 ============ 2Ki 4:4 And when thou art come in, thou shalt shut the door upon thee and upon thy sons, and shalt pour out into all those vessels, and thou shalt set aside that which is full.(KJV-1611) 2Ki 4:4 Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:5 ============ 2Ki 4:5 So she went from him, and shut the door upon her and upon her sons, who brought the vessels to her; and she poured out.(KJV-1611) 2Ki 4:5 Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:6 ============ 2Ki 4:6 And it came to pass, when the vessels were full, that she said unto her son, Bring me yet a vessel. And he said unto her, There is not a vessel more. And the oil stayed.(KJV-1611) 2Ki 4:6 Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. --Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:7 ============ 2Ki 4:7 Then she came and told the man of God. And he said, Go, sell the oil, and pay thy debt, and live thou and thy children of the rest.(KJV-1611) 2Ki 4:7 Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: --Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:8 ============ 2Ki 4:8 And it fell on a day, that Elisha passed to Shunem, where was a great woman; and she constrained him to eat bread. And so it was, that as oft as he passed by, he turned in thither to eat bread.(KJV-1611) 2Ki 4:8 Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:9 ============ 2Ki 4:9 And she said unto her husband, Behold now, I perceive that this is an holy man of God, which passeth by us continually.(KJV-1611) 2Ki 4:9 Yon lè, madanm lan di mari l': --Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:10 ============ 2Ki 4:10 Let us make a little chamber, I pray thee, on the wall; and let us set for him there a bed, and a table, and a stool, and a candlestick: and it shall be, when he cometh to us, that he shall turn in thither.(KJV-1611) 2Ki 4:10 Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N'a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l'. Konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l' ka pou kont li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:11 ============ 2Ki 4:11 And it fell on a day, that he came thither, and he turned into the chamber, and lay there.(KJV-1611) 2Ki 4:11 Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:12 ============ 2Ki 4:12 And he said to Gehazi his servant, Call this Shunammite. And when he had called her, she stood before him.(KJV-1611) 2Ki 4:12 Li di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive,(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:13 ============ 2Ki 4:13 And he said unto him, Say now unto her, Behold, thou hast been careful for us with all this care; what is to be done for thee? wouldest thou be spoken for to the king, or to the captain of the host? And she answered, I dwell among mine own people.(KJV-1611) 2Ki 4:13 Elize di Gerazi konsa: --Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: --Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:14 ============ 2Ki 4:14 And he said, What then is to be done for her? And Gehazi answered, Verily she hath no child, and her husband is old.(KJV-1611) 2Ki 4:14 Elize mande Gerazi: --Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: --Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun!(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:15 ============ 2Ki 4:15 And he said, Call her. And when he had called her, she stood in the door.(KJV-1611) 2Ki 4:15 Elize di: --Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:16 ============ 2Ki 4:16 And he said, About this season, according to the time of life, thou shalt embrace a son. And she said, Nay, my lord, thou man of God, do not lie unto thine handmaid.(KJV-1611) 2Ki 4:16 Elize di li: --Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: --Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:17 ============ 2Ki 4:17 And the woman conceived, and bare a son at that season that Elisha had said unto her, according to the time of life.(KJV-1611) 2Ki 4:17 Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:18 ============ 2Ki 4:18 And when the child was grown, it fell on a day, that he went out to his father to the reapers.(KJV-1611) 2Ki 4:18 Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an t al jwenn papa l' ki t'ap ranmase rekòt nan jaden l' ak kèk lòt moun,(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:19 ============ 2Ki 4:19 And he said unto his father, My head, my head. And he said to a lad, Carry him to his mother.(KJV-1611) 2Ki 4:19 li rete konsa, li di papa l': --Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: --Pote ti gason an bay manman l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:20 ============ 2Ki 4:20 And when he had taken him, and brought him to his mother, he sat on her knees till noon, and then died.(KJV-1611) 2Ki 4:20 Domestik la pran ti gason an, li pote l' bay manman l'. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:21 ============ 2Ki 4:21 And she went up, and laid him on the bed of the man of God, and shut the door upon him, and went out.(KJV-1611) 2Ki 4:21 Manman an moute avè l' nan chanm Elize a. Li mete l' kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li soti.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:22 ============ 2Ki 4:22 And she called unto her husband, and said, Send me, I pray thee, one of the young men, and one of the asses, that I may run to the man of God, and come again.(KJV-1611) 2Ki 4:22 Li fè rele mari li, li di l' konsa: --Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:23 ============ 2Ki 4:23 And he said, Wherefore wilt thou go to him to day? it is neither new moon, nor sabbath. And she said, It shall be well.(KJV-1611) 2Ki 4:23 Mari a mande l': --Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: --Sa pa fè anyen!(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:24 ============ 2Ki 4:24 Then she saddled an ass, and said to her servant, Drive, and go forward; slack not thy riding for me, except I bid thee.(KJV-1611) 2Ki 4:24 Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: --Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:25 ============ 2Ki 4:25 So she went and came unto the man of God to mount Carmel. And it came to pass, when the man of God saw her afar off, that he said to Gehazi his servant, Behold, yonder is that Shunammite:(KJV-1611) 2Ki 4:25 Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: --Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:26 ============ 2Ki 4:26 Run now, I pray thee, to meet her, and say unto her, Is it well with thee? is it well with thy husband? is it well with the child? And she answered, It is well:(KJV-1611) 2Ki 4:26 Kouri al jwenn li. Mande l' si tout moun lakay li byen, li menm, mari l' ak pitit li a. Madanm lan di Gerazi tout moun byen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:27 ============ 2Ki 4:27 And when she came to the man of God to the hill, she caught him by the feet: but Gehazi came near to thrust her away. And the man of God said, Let her alone; for her soul is vexed within her: and the LORD hath hid it from me, and hath not told me.(KJV-1611) 2Ki 4:27 Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: --Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:28 ============ 2Ki 4:28 Then she said, Did I desire a son of my lord? did I not say, Do not deceive me?(KJV-1611) 2Ki 4:28 Lè sa a madanm lan di: --Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa?(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:29 ============ 2Ki 4:29 Then he said to Gehazi, Gird up thy loins, and take my staff in thine hand, and go thy way: if thou meet any man, salute him not; and if any salute thee, answer him not again: and lay my staff upon the face of the child.(KJV-1611) 2Ki 4:29 Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: --Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:30 ============ 2Ki 4:30 And the mother of the child said, As the LORD liveth, and as thy soul liveth, I will not leave thee. And he arose, and followed her.(KJV-1611) 2Ki 4:30 Men manman ti gason an di Elize konsa: --Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:31 ============ 2Ki 4:31 And Gehazi passed on before them, and laid the staff upon the face of the child; but there was neither voice, nor hearing. Wherefore he went again to meet him, and told him, saying, The child is not awaked.(KJV-1611) 2Ki 4:31 Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': --Ti gason an pa leve.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:32 ============ 2Ki 4:32 And when Elisha was come into the house, behold, the child was dead, and laid upon his bed.(KJV-1611) 2Ki 4:32 Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:33 ============ 2Ki 4:33 He went in therefore, and shut the door upon them twain, and prayed unto the LORD.(KJV-1611) 2Ki 4:33 Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:34 ============ 2Ki 4:34 And he went up, and lay upon the child, and put his mouth upon his mouth, and his eyes upon his eyes, and his hands upon his hands: and stretched himself upon the child; and the flesh of the child waxed warm.(KJV-1611) 2Ki 4:34 Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l' sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:35 ============ 2Ki 4:35 Then he returned, and walked in the house to and fro; and went up, and stretched himself upon him: and the child sneezed seven times, and the child opened his eyes.(KJV-1611) 2Ki 4:35 Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:36 ============ 2Ki 4:36 And he called Gehazi, and said, Call this Shunammite. So he called her. And when she was come in unto him, he said, Take up thy son.(KJV-1611) 2Ki 4:36 Elize rele Gerazi, li di l': --Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': --Men pitit gason ou lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:37 ============ 2Ki 4:37 Then she went in, and fell at his feet, and bowed herself to the ground, and took up her son, and went out.(KJV-1611) 2Ki 4:37 Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:38 ============ 2Ki 4:38 And Elisha came again to Gilgal: and there was a dearth in the land; and the sons of the prophets were sitting before him: and he said unto his servant, Set on the great pot, and seethe pottage for the sons of the prophets.(KJV-1611) 2Ki 4:38 Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: --Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:39 ============ 2Ki 4:39 And one went out into the field to gather herbs, and found a wild vine, and gathered thereof wild gourds his lap full, and came and shred them into the pot of pottage: for they knew them not.(KJV-1611) 2Ki 4:39 Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:40 ============ 2Ki 4:40 So they poured out for the men to eat. And it came to pass, as they were eating of the pottage, that they cried out, and said, O thou man of God, there is death in the pot. And they could not eat thereof.(KJV-1611) 2Ki 4:40 Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: --Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:41 ============ 2Ki 4:41 But he said, Then bring meal. And he cast it into the pot; and he said, Pour out for the people, that they may eat. And there was no harm in the pot.(KJV-1611) 2Ki 4:41 Men Elize di: --Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: --Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:42 ============ 2Ki 4:42 And there came a man from Baalshalisha, and brought the man of God bread of the firstfruits, twenty loaves of barley, and full ears of corn in the husk thereof. And he said, Give unto the people, that they may eat.(KJV-1611) 2Ki 4:42 Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:43 ============ 2Ki 4:43 And his servitor said, What, should I set this before an hundred men? He said again, Give the people, that they may eat: for thus saith the LORD, They shall eat, and shall leave thereof.(KJV-1611) 2Ki 4:43 Men domestik la di l': --Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: --Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.(Creole-HT) ======= 2 Kings 4:44 ============ 2Ki 4:44 So he set it before them, and they did eat, and left thereof, according to the word of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 4:44 Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:1 ============ 2Ki 5:1 Now Naaman, captain of the host of the king of Syria, was a great man with his master, and honourable, because by him the LORD had given deliverance unto Syria: he was also a mighty man in valour, but he was a leper.(KJV-1611) 2Ki 5:1 Naaman, kòmandan lame wa peyi Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Seyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:2 ============ 2Ki 5:2 And the Syrians had gone out by companies, and had brought away captive out of the land of Israel a little maid; and she waited on Naaman's wife.(KJV-1611) 2Ki 5:2 Yon lè yon bann moun peyi Siri t al fè piyay nan peyi Izrayèl la, yo te fè yon tifi moun Izrayèl yo prizonye. Tifi a te rete ak madan Naaman.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:3 ============ 2Ki 5:3 And she said unto her mistress, Would God my lord were with the prophet that is in Samaria! for he would recover him of his leprosy.(KJV-1611) 2Ki 5:3 Yon jou, li di metrès li a: --Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:4 ============ 2Ki 5:4 And one went in, and told his lord, saying, Thus and thus said the maid that is of the land of Israel.(KJV-1611) 2Ki 5:4 Lè Naaman tande sa, l' al jwenn wa a, li di l' sa tifi a te di.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:5 ============ 2Ki 5:5 And the king of Syria said, Go to, go, and I will send a letter unto the king of Israel. And he departed, and took with him ten talents of silver, and six thousand pieces of gold, and ten changes of raiment.(KJV-1611) 2Ki 5:5 Wa Siri a reponn: --Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:6 ============ 2Ki 5:6 And he brought the letter to the king of Israel, saying, Now when this letter is come unto thee, behold, I have therewith sent Naaman my servant to thee, that thou mayest recover him of his leprosy.(KJV-1611) 2Ki 5:6 Li renmèt lèt la bay wa peyi Izrayèl la. Men sa ki te ekri nan lèt la: Mwen voye Naaman, yonn nan chèf mwen yo, avèk lèt sa a pou ou ka geri maladi po l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:7 ============ 2Ki 5:7 And it came to pass, when the king of Israel had read the letter, that he rent his clothes, and said, Am I God, to kill and to make alive, that this man doth send unto me to recover a man of his leprosy? wherefore consider, I pray you, and see how he seeketh a quarrel against me.(KJV-1611) 2Ki 5:7 Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: --Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:8 ============ 2Ki 5:8 And it was so, when Elisha the man of God had heard that the king of Israel had rent his clothes, that he sent to the king, saying, Wherefore hast thou rent thy clothes? let him come now to me, and he shall know that there is a prophet in Israel.(KJV-1611) 2Ki 5:8 Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': --Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:9 ============ 2Ki 5:9 So Naaman came with his horses and with his chariot, and stood at the door of the house of Elisha.(KJV-1611) 2Ki 5:9 Se konsa Naaman ale ak cha li a ansanm ak chwal li yo. Li rete devan pòt kay Elize a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:10 ============ 2Ki 5:10 And Elisha sent a messenger unto him, saying, Go and wash in Jordan seven times, and thy flesh shall come again to thee, and thou shalt be clean.(KJV-1611) 2Ki 5:10 Men Elize voye yon mesaje di l': --Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:11 ============ 2Ki 5:11 But Naaman was wroth, and went away, and said, Behold, I thought, He will surely come out to me, and stand, and call on the name of the LORD his God, and strike his hand over the place, and recover the leper.(KJV-1611) 2Ki 5:11 Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: --Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:12 ============ 2Ki 5:12 Are not Abana and Pharpar, rivers of Damascus, better than all the waters of Israel? may I not wash in them, and be clean? So he turned and went away in a rage.(KJV-1611) 2Ki 5:12 Lèfini, èske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri. Li vire do l' ale byen move.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:13 ============ 2Ki 5:13 And his servants came near, and spake unto him, and said, My father, if the prophet had bid thee do some great thing, wouldest thou not have done it? how much rather then, when he saith to thee, Wash, and be clean?(KJV-1611) 2Ki 5:13 Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: --Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:14 ============ 2Ki 5:14 Then went he down, and dipped himself seven times in Jordan, according to the saying of the man of God: and his flesh came again like unto the flesh of a little child, and he was clean.(KJV-1611) 2Ki 5:14 Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:15 ============ 2Ki 5:15 And he returned to the man of God, he and all his company, and came, and stood before him: and he said, Behold, now I know that there is no God in all the earth, but in Israel: now therefore, I pray thee, take a blessing of thy servant.(KJV-1611) 2Ki 5:15 Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: --Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:16 ============ 2Ki 5:16 But he said, As the LORD liveth, before whom I stand, I will receive none. And he urged him to take it; but he refused.(KJV-1611) 2Ki 5:16 Men Elize di l': --Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:17 ============ 2Ki 5:17 And Naaman said, Shall there not then, I pray thee, be given to thy servant two mules' burden of earth? for thy servant will henceforth offer neither burnt offering nor sacrifice unto other gods, but unto the LORD.(KJV-1611) 2Ki 5:17 Lè sa a, Naaman di: --Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m' ti gout tè pou m' chaje sou de milèt pote ale avè m'. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou ankenn lòt bondye pase pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:18 ============ 2Ki 5:18 In this thing the LORD pardon thy servant, that when my master goeth into the house of Rimmon to worship there, and he leaneth on my hand, and I bow myself in the house of Rimmon: when I bow down myself in the house of Rimmon, the LORD pardon thy servant in this thing.(KJV-1611) 2Ki 5:18 Tansèlman, se pou Seyè a padonnen m' kichòy. Lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se pou l' apiye sou bra m', mwen fèt pou m' bese tèt ansanm avè l' nan tanp lan. Mwen ta mande Seyè a pou l' padonnen m' sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:19 ============ 2Ki 5:19 And he said unto him, Go in peace. So he departed from him a little way.(KJV-1611) 2Ki 5:19 Elize reponn li: --Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:20 ============ 2Ki 5:20 But Gehazi, the servant of Elisha the man of God, said, Behold, my master hath spared Naaman this Syrian, in not receiving at his hands that which he brought: but, as the LORD liveth, I will run after him, and take somewhat of him.(KJV-1611) 2Ki 5:20 Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': --Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:21 ============ 2Ki 5:21 So Gehazi followed after Naaman. And when Naaman saw him running after him, he lighted down from the chariot to meet him, and said, Is all well?(KJV-1611) 2Ki 5:21 Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': --Ki malè ki rive?(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:22 ============ 2Ki 5:22 And he said, All is well. My master hath sent me, saying, Behold, even now there be come to me from mount Ephraim two young men of the sons of the prophets: give them, I pray thee, a talent of silver, and two changes of garments.(KJV-1611) 2Ki 5:22 Gerazi reponn li: --Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:23 ============ 2Ki 5:23 And Naaman said, Be content, take two talents. And he urged him, and bound two talents of silver in two bags, with two changes of garments, and laid them upon two of his servants; and they bare them before him.(KJV-1611) 2Ki 5:23 Naaman reponn: --Tanpri, pran sisan pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:24 ============ 2Ki 5:24 And when he came to the tower, he took them from their hand, and bestowed them in the house: and he let the men go, and they departed.(KJV-1611) 2Ki 5:24 Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:25 ============ 2Ki 5:25 But he went in, and stood before his master. And Elisha said unto him, Whence comest thou, Gehazi? And he said, Thy servant went no whither.(KJV-1611) 2Ki 5:25 Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': --Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: --M' pa t al ankenn kote non, mèt!(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:26 ============ 2Ki 5:26 And he said unto him, Went not mine heart with thee, when the man turned again from his chariot to meet thee? Is it a time to receive money, and to receive garments, and oliveyards, and vineyards, and sheep, and oxen, and menservants, and maidservants?(KJV-1611) 2Ki 5:26 Elize di li: --Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.(Creole-HT) ======= 2 Kings 5:27 ============ 2Ki 5:27 The leprosy therefore of Naaman shall cleave unto thee, and unto thy seed for ever. And he went out from his presence a leper as white as snow.(KJV-1611) 2Ki 5:27 Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:1 ============ 2Ki 6:1 And the sons of the prophets said unto Elisha, Behold now, the place where we dwell with thee is too strait for us.(KJV-1611) 2Ki 6:1 Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: --Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:2 ============ 2Ki 6:2 Let us go, we pray thee, unto Jordan, and take thence every man a beam, and let us make us a place there, where we may dwell. And he answered, Go ye.(KJV-1611) 2Ki 6:2 Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: --Ale non!(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:3 ============ 2Ki 6:3 And one said, Be content, I pray thee, and go with thy servants. And he answered, I will go.(KJV-1611) 2Ki 6:3 Yonn nan pwofèt yo mande l': --Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: --Dakò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:4 ============ 2Ki 6:4 So he went with them. And when they came to Jordan, they cut down wood.(KJV-1611) 2Ki 6:4 Li pati ak yo. Lè yo rive bò larivyè Jouden an, yo tanmen koupe bwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:5 ============ 2Ki 6:5 But as one was felling a beam, the axe head fell into the water: and he cried, and said, Alas, master! for it was borrowed.(KJV-1611) 2Ki 6:5 Yonn ladan yo t'ap koupe yon madriye lè rach la soti nan manch li, li tonbe nan dlo a. Li pran rele: --Mèt, mèt! Sa m' pral fè la a? Se prete yo te prete m' rach la wi!(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:6 ============ 2Ki 6:6 And the man of God said, Where fell it? And he shewed him the place. And he cut down a stick, and cast it in thither; and the iron did swim.(KJV-1611) 2Ki 6:6 Elize mande l': --Kote rach la tonbe la a? Li moutre l' kote a. Elize kase yon moso bwa, li voye l' nan dlo a. Rach la moute anwo dlo a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:7 ============ 2Ki 6:7 Therefore said he, Take it up to thee. And he put out his hand, and took it.(KJV-1611) 2Ki 6:7 Elize di l': --Wete l' nan dlo a. Pwofèt la lonje men l', li pran rach la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:8 ============ 2Ki 6:8 Then the king of Syria warred against Israel, and took counsel with his servants, saying, In such and such a place shall be my camp.(KJV-1611) 2Ki 6:8 Wa peyi Siri a t'ap fè lagè ak peyi Izrayèl la. Li reyini chèf li yo, li di yo ki kote li pral moute kan lame a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:9 ============ 2Ki 6:9 And the man of God sent unto the king of Israel, saying, Beware that thou pass not such a place; for thither the Syrians are come down.(KJV-1611) 2Ki 6:9 Men, Elize voye avèti wa peyi Izrayèl la pou l' pa pwoche bò tèl kote, paske lame peyi Siri a desann la ap tann li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:10 ============ 2Ki 6:10 And the king of Israel sent to the place which the man of God told him and warned him of, and saved himself there, not once nor twice.(KJV-1611) 2Ki 6:10 Se konsa wa peyi Izrayèl la voye yon mesaje al avèti moun ki nan zòn Elize te di l' la pou yo rete sou prigad yo. Sa rive plizyè fwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:11 ============ 2Ki 6:11 Therefore the heart of the king of Syria was sore troubled for this thing; and he called his servants, and said unto them, Will ye not shew me which of us is for the king of Israel?(KJV-1611) 2Ki 6:11 Sa te boulvèse wa peyi Siri a anpil. Li rele chèf li yo, li di yo: --Manyè di m' kilès nan nou la a ki pou wa peyi Izrayèl la?(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:12 ============ 2Ki 6:12 And one of his servants said, None, my lord, O king: but Elisha, the prophet that is in Israel, telleth the king of Israel the words that thou speakest in thy bedchamber.(KJV-1611) 2Ki 6:12 Yonn nan chèf yo reponn: --Pesonn, monwa. Men se Elize, pwofèt ki nan peyi Izrayèl la, k'ap fè wa peyi Izrayèl la konnen tou sa ou di, ata sa ou di anndan chanm ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:13 ============ 2Ki 6:13 And he said, Go and spy where he is, that I may send and fetch him. And it was told him, saying, Behold, he is in Dothan.(KJV-1611) 2Ki 6:13 Wa peyi Siri a di: --Chache konnen kote Elize sa a ye pou m' voye pran l': Yo vin di li Elize te lavil Dotan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:14 ============ 2Ki 6:14 Therefore sent he thither horses, and chariots, and a great host: and they came by night, and compassed the city about.(KJV-1611) 2Ki 6:14 Li voye yon gwo lame ak anpil chwal ak cha lagè dèyè l'. Yo rive Dotan solèy kouche, yo sènen lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:15 ============ 2Ki 6:15 And when the servant of the man of God was risen early, and gone forth, behold, an host compassed the city both with horses and chariots. And his servant said unto him, Alas, my master! how shall we do?(KJV-1611) 2Ki 6:15 Nan denmen maten, domestik pwofèt la leve byen bonè, li soti. Li wè te gen yon gwo lame ki te sènen tout lavil la ak anpil chwal ak anpil cha lagè. Lamenm, l' al di Elize: --Mèt, mèt, malè sou nou! Kisa nou pral fè la a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:16 ============ 2Ki 6:16 And he answered, Fear not: for they that be with us are more than they that be with them.(KJV-1611) 2Ki 6:16 Elize reponn li: --Ou pa bezwen pè! Nou gen plis moun avèk nou pase yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:17 ============ 2Ki 6:17 And Elisha prayed, and said, LORD, I pray thee, open his eyes, that he may see. And the LORD opened the eyes of the young man; and he saw: and, behold, the mountain was full of horses and chariots of fire round about Elisha.(KJV-1611) 2Ki 6:17 Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: --Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:18 ============ 2Ki 6:18 And when they came down to him, Elisha prayed unto the LORD, and said, Smite this people, I pray thee, with blindness. And he smote them with blindness according to the word of Elisha.(KJV-1611) 2Ki 6:18 Lè sòlda peyi Siri yo atake, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, fè sòlda sa yo pa wè nan je yo! Seyè a fè sòlda peyi Siri yo pa wè nan je yo, jan Elize te mande l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:19 ============ 2Ki 6:19 And Elisha said unto them, This is not the way, neither is this the city: follow me, and I will bring you to the man whom ye seek. But he led them to Samaria.(KJV-1611) 2Ki 6:19 Lèfini, Elize al jwenn yo, li di yo: --Se pa chemen an sa, ni se pa lavil n'ap chache a sa. Swiv mwen, m'a mennen nou kote moun n'ap chache a ye. Li mennen yo lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:20 ============ 2Ki 6:20 And it came to pass, when they were come into Samaria, that Elisha said, LORD, open the eyes of these men, that they may see. And the LORD opened their eyes, and they saw; and, behold, they were in the midst of Samaria.(KJV-1611) 2Ki 6:20 Rive yo rive la, Elize lapriyè ankò, li di: --Seyè, louvri je yo pou yo wè! Seyè a louvri je yo. Yo wè yo te nan mitan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:21 ============ 2Ki 6:21 And the king of Israel said unto Elisha, when he saw them, My father, shall I smite them? shall I smite them?(KJV-1611) 2Ki 6:21 Lè wa peyi Izrayèl la wè sòlda peyi Siri yo, li mande Elize: --Touye yo, papa mwen? Touye yo?(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:22 ============ 2Ki 6:22 And he answered, Thou shalt not smite them: wouldest thou smite those whom thou hast taken captive with thy sword and with thy bow? set bread and water before them, that they may eat and drink, and go to their master.(KJV-1611) 2Ki 6:22 Elize reponn li: --Non. Pa touye yo. Ou janm touye moun ou fè prizonye lè w'ap goumen ak nepe epi ak banza? Ba yo manje, ba yo bwè, Lèfini, kite yo tounen al jwenn mèt yo!(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:23 ============ 2Ki 6:23 And he prepared great provision for them: and when they had eaten and drunk, he sent them away, and they went to their master. So the bands of Syria came no more into the land of Israel.(KJV-1611) 2Ki 6:23 Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:24 ============ 2Ki 6:24 And it came to pass after this, that Benhadad king of Syria gathered all his host, and went up, and besieged Samaria.(KJV-1611) 2Ki 6:24 Kèk tan apre sa, Bennadad, wa peyi Siri a, sanble tout lame li, li moute vin atake peyi Izrayèl. Li sènen lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:25 ============ 2Ki 6:25 And there was a great famine in Samaria: and, behold, they besieged it, until an ass's head was sold for fourscore pieces of silver, and the fourth part of a cab of dove's dung for five pieces of silver.(KJV-1611) 2Ki 6:25 Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:26 ============ 2Ki 6:26 And as the king of Israel was passing by upon the wall, there cried a woman unto him, saying, Help, my lord, O king.(KJV-1611) 2Ki 6:26 Yon jou, wa peyi Izrayèl la t'ap pase sou miray lavil la, yon madanm pran rele: --Monwa, monwa, fè kichòy pou mwen non!(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:27 ============ 2Ki 6:27 And he said, If the LORD do not help thee, whence shall I help thee? out of the barnfloor, or out of the winepress?(KJV-1611) 2Ki 6:27 Wa a reponn: --Si Seyè a pa ka fè anyen pou ou, kisa mwen menm, mwen ka fè pou ou. Kisa ou vle m' ba ou: farin osinon diven?(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:28 ============ 2Ki 6:28 And the king said unto her, What aileth thee? And she answered, This woman said unto me, Give thy son, that we may eat him to day, and we will eat my son to morrow.(KJV-1611) 2Ki 6:28 Sa ou genyen? Madanm lan reponn: --Lòt jou, madanm sa ou wè la a vin di m' pou mwen bay pitit pa m' lan pou nou manje jou sa a, nan denmen n'a manje pitit pa l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:29 ============ 2Ki 6:29 So we boiled my son, and did eat him: and I said unto her on the next day, Give thy son, that we may eat him: and she hath hid her son.(KJV-1611) 2Ki 6:29 Se konsa nou kwit pitit pa m' lan, nou manje l'. Nan denmen, mwen di l' pou li bay pitit pa l' la pou nou manje, men li sere l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:30 ============ 2Ki 6:30 And it came to pass, when the king heard the words of the woman, that he rent his clothes; and he passed by upon the wall, and the people looked, and, behold, he had sackcloth within upon his flesh.(KJV-1611) 2Ki 6:30 Lè wa a tande sa madanm lan di l' la, li chire rad sou li sitèlman li te fache. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:31 ============ 2Ki 6:31 Then he said, God do so and more also to me, if the head of Elisha the son of Shaphat shall stand on him this day.(KJV-1611) 2Ki 6:31 Wa a pale byen fò, li di: --Se pou Bondye ban m' pi gwo chatiman ki genyen si anvan jounen an fini, yo pa koupe tèt Elize, pitit Safa a!(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:32 ============ 2Ki 6:32 But Elisha sat in his house, and the elders sat with him; and the king sent a man from before him: but ere the messenger came to him, he said to the elders, See ye how this son of a murderer hath sent to take away mine head? look, when the messenger cometh, shut the door, and hold him fast at the door: is not the sound of his master's feet behind him?(KJV-1611) 2Ki 6:32 Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: --Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 6:33 ============ 2Ki 6:33 And while he yet talked with them, behold, the messenger came down unto him: and he said, Behold, this evil is of the LORD; what should I wait for the LORD any longer?(KJV-1611) 2Ki 6:33 Elize pankò fèmen bouch li, lè wa a rive devan l'. Wa a di l' konsa: --Se Seyè a ki voye malè sa a sou nou! Sa m' bezwen rete ap tann li fè kichòy pou nou ankò?(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:1 ============ 2Ki 7:1 Then Elisha said, Hear ye the word of the LORD; Thus saith the LORD, To morrow about this time shall a measure of fine flour be sold for a shekel, and two measures of barley for a shekel, in the gate of Samaria.(KJV-1611) 2Ki 7:1 Elize reponn li: --Koute sa Seyè a voye di ou: Denmen, vè lè sa a, nan pòtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lòj pou yon grenn pyès ajan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:2 ============ 2Ki 7:2 Then a lord on whose hand the king leaned answered the man of God, and said, Behold, if the LORD would make windows in heaven, might this thing be? And he said, Behold, thou shalt see it with thine eyes, but shalt not eat thereof.(KJV-1611) 2Ki 7:2 Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': --Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: --Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:3 ============ 2Ki 7:3 And there were four leprous men at the entering in of the gate: and they said one to another, Why sit we here until we die?(KJV-1611) 2Ki 7:3 Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: --Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:4 ============ 2Ki 7:4 If we say, We will enter into the city, then the famine is in the city, and we shall die there: and if we sit still here, we die also. Now therefore come, and let us fall unto the host of the Syrians: if they save us alive, we shall live; and if they kill us, we shall but die.(KJV-1611) 2Ki 7:4 Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:5 ============ 2Ki 7:5 And they rose up in the twilight, to go unto the camp of the Syrians: and when they were come to the uttermost part of the camp of Syria, behold, there was no man there.(KJV-1611) 2Ki 7:5 Se konsa, solèy te fèk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pesonn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:6 ============ 2Ki 7:6 For the LORD had made the host of the Syrians to hear a noise of chariots, and a noise of horses, even the noise of a great host: and they said one to another, Lo, the king of Israel hath hired against us the kings of the Hittites, and the kings of the Egyptians, to come upon us.(KJV-1611) 2Ki 7:6 Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:7 ============ 2Ki 7:7 Wherefore they arose and fled in the twilight, and left their tents, and their horses, and their asses, even the camp as it was, and fled for their life.(KJV-1611) 2Ki 7:7 Se konsa, solèy te fèk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l' te ye a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:8 ============ 2Ki 7:8 And when these lepers came to the uttermost part of the camp, they went into one tent, and did eat and drink, and carried thence silver, and gold, and raiment, and went and hid it; and came again, and entered into another tent, and carried thence also, and went and hid it.(KJV-1611) 2Ki 7:8 Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:9 ============ 2Ki 7:9 Then they said one to another, We do not well: this day is a day of good tidings, and we hold our peace: if we tarry till the morning light, some mischief will come upon us: now therefore come, that we may go and tell the king's household.(KJV-1611) 2Ki 7:9 Men lè sa a, yonn di lòt konsa: --Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bon nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvèl la kay wa a!(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:10 ============ 2Ki 7:10 So they came and called unto the porter of the city: and they told them, saying, We came to the camp of the Syrians, and, behold, there was no man there, neither voice of man, but horses tied, and asses tied, and the tents as they were.(KJV-1611) 2Ki 7:10 Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la. Yo ba yo nouvèl la, yo di yo: --Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sèlman nou jwenn mare nan kòd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:11 ============ 2Ki 7:11 And he called the porters; and they told it to the king's house within.(KJV-1611) 2Ki 7:11 Faksyonnè ki t'ap fè pòs nan pòtay lavil la bay nouvèl la byen fò. Konsa, nouvèl la gaye jouk li rive anndan palè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:12 ============ 2Ki 7:12 And the king arose in the night, and said unto his servants, I will now shew you what the Syrians have done to us. They know that we be hungry; therefore are they gone out of the camp to hide themselves in the field, saying, When they come out of the city, we shall catch them alive, and get into the city.(KJV-1611) 2Ki 7:12 Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chèf li yo: --Mwen pral esplike nou sa sòlda peyi Siri yo gen dèyè tèt yo kifè yo fè sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dèyè manje. Lè sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:13 ============ 2Ki 7:13 And one of his servants answered and said, Let some take, I pray thee, five of the horses that remain, which are left in the city, (behold, they are as all the multitude of Israel that are left in it: behold, I say, they are even as all the multitude of the Israelites that are consumed: ) and let us send and see.(KJV-1611) 2Ki 7:13 Men, yonn nan chèf li yo di l' konsa: --Poukisa nou pa voye kèk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wè sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rès moun Izrayèl yo ki rete isit la. Wè pa wè, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:14 ============ 2Ki 7:14 They took therefore two chariot horses; and the king sent after the host of the Syrians, saying, Go and see.(KJV-1611) 2Ki 7:14 Se konsa yo chwazi kèk moun, wa a voye yo ak de cha lagè pou y' al wè sa ki rive nan kan lame peyi Siri a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:15 ============ 2Ki 7:15 And they went after them unto Jordan: and, lo, all the way was full of garments and vessels, which the Syrians had cast away in their haste. And the messengers returned, and told the king.(KJV-1611) 2Ki 7:15 Mesye yo pati, yo rive jouk bò larivyè Jouden an. Sou tout wout la, yo wè rad ak yon bann lòt bagay sòlda peyi Siri yo te jete lè yo t'ap kouri met deyò a. Yo tounen, yo fè rapò yo bay wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:16 ============ 2Ki 7:16 And the people went out, and spoiled the tents of the Syrians. So a measure of fine flour was sold for a shekel, and two measures of barley for a shekel, according to the word of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 7:16 Menm lè a, pèp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyè a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan, ven liv lòj pou menm pri a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:17 ============ 2Ki 7:17 And the king appointed the lord on whose hand he leaned to have the charge of the gate: and the people trode upon him in the gate, and he died, as the man of God had said, who spake when the king came down to him.(KJV-1611) 2Ki 7:17 Men, wa a te mete chèf gadkò li a ap veye pòtay lavil la. Se konsa pèp la pilonnen l' anba pye yo lè y'ap pase nan pòtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lè wa a te vin wè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:18 ============ 2Ki 7:18 And it came to pass as the man of God had spoken to the king, saying, Two measures of barley for a shekel, and a measure of fine flour for a shekel, shall be to morrow about this time in the gate of Samaria:(KJV-1611) 2Ki 7:18 Lè sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lè konsa, nan pòtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyès ajan ak ven liv lòj pou menm pri a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:19 ============ 2Ki 7:19 And that lord answered the man of God, and said, Now, behold, if the LORD should make windows in heaven, might such a thing be? And he said, Behold, thou shalt see it with thine eyes, but shalt not eat thereof.(KJV-1611) 2Ki 7:19 Se konsa chèf gadkò a te di Seyè a te mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fèt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 7:20 ============ 2Ki 7:20 And so it fell out unto him: for the people trode upon him in the gate, and he died.(KJV-1611) 2Ki 7:20 Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pèp la lè y'ap pase nan pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:1 ============ 2Ki 8:1 Then spake Elisha unto the woman, whose son he had restored to life, saying, Arise, and go thou and thine household, and sojourn wheresoever thou canst sojourn: for the LORD hath called for a famine; and it shall also come upon the land seven years.(KJV-1611) 2Ki 8:1 Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:2 ============ 2Ki 8:2 And the woman arose, and did after the saying of the man of God: and she went with her household, and sojourned in the land of the Philistines seven years.(KJV-1611) 2Ki 8:2 Fanm lan leve, li fè sa pwofèt la te ba li konsèy fè a. Li pati ansanm ak tout fanmi l' al rete nan peyi Filisti a pandan sètan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:3 ============ 2Ki 8:3 And it came to pass at the seven years' end, that the woman returned out of the land of the Philistines: and she went forth to cry unto the king for her house and for her land.(KJV-1611) 2Ki 8:3 Lè sètan yo fin pase, li tounen nan peyi Izrayèl, l' al jwenn wa a, li mande l' pou yo renmèt li kay li ak jaden li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:4 ============ 2Ki 8:4 And the king talked with Gehazi the servant of the man of God, saying, Tell me, I pray thee, all the great things that Elisha hath done.(KJV-1611) 2Ki 8:4 Li jwenn wa a t'ap pale ak Gerazi, domestik pwofèt Bondye a, paske wa a te mande l' pou l' te vin rakonte l' tout bèl bagay Elize te fè yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:5 ============ 2Ki 8:5 And it came to pass, as he was telling the king how he had restored a dead body to life, that, behold, the woman, whose son he had restored to life, cried to the king for her house and for her land. And Gehazi said, My lord, O king, this is the woman, and this is her son, whom Elisha restored to life.(KJV-1611) 2Ki 8:5 Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: --Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:6 ============ 2Ki 8:6 And when the king asked the woman, she told him. So the king appointed unto her a certain officer, saying, Restore all that was hers, and all the fruits of the field since the day that she left the land, even until now.(KJV-1611) 2Ki 8:6 Wa a mande madanm lan pou li rakonte l' jan sa te pase. Lè madanm lan fini, wa a bay yonn nan chèf li yo lòd renmèt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapòte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:7 ============ 2Ki 8:7 And Elisha came to Damascus; and Benhadad the king of Syria was sick; and it was told him, saying, The man of God is come hither.(KJV-1611) 2Ki 8:7 Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. y' al di wa a pwofèt la te nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:8 ============ 2Ki 8:8 And the king said unto Hazael, Take a present in thine hand, and go, meet the man of God, and enquire of the LORD by him, saying, Shall I recover of this disease?(KJV-1611) 2Ki 8:8 Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: --Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:9 ============ 2Ki 8:9 So Hazael went to meet him, and took a present with him, even of every good thing of Damascus, forty camels' burden, and came and stood before him, and said, Thy son Benhadad king of Syria hath sent me to thee, saying, Shall I recover of this disease?(KJV-1611) 2Ki 8:9 Se konsa Azayèl al wè Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lè li rive devan Elize, li di l' konsa: --Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:10 ============ 2Ki 8:10 And Elisha said unto him, Go, say unto him, Thou mayest certainly recover: howbeit the LORD hath shewed me that he shall surely die.(KJV-1611) 2Ki 8:10 Elize reponn: --Seyè a fè m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:11 ============ 2Ki 8:11 And he settled his countenance stedfastly, until he was ashamed: and the man of God wept.(KJV-1611) 2Ki 8:11 Lè li fin di sa, Elize pran gade Azayèl nan je. Lè Azayèl wè sa, sa jennen l' anpil. Elize rete konsa, dlo pran kouri nan je l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:12 ============ 2Ki 8:12 And Hazael said, Why weepeth my lord? And he answered, Because I know the evil that thou wilt do unto the children of Israel: their strong holds wilt thou set on fire, and their young men wilt thou slay with the sword, and wilt dash their children, and rip up their women with child.(KJV-1611) 2Ki 8:12 Azayèl mande l': --Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: --Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:13 ============ 2Ki 8:13 And Hazael said, But what, is thy servant a dog, that he should do this great thing? And Elisha answered, The LORD hath shewed me that thou shalt be king over Syria.(KJV-1611) 2Ki 8:13 Azayèl mande l': --Kisa m' ye menm pou m' ta rive fè tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: --Seyè a fè m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:14 ============ 2Ki 8:14 So he departed from Elisha, and came to his master; who said to him, What said Elisha to thee? And he answered, He told me that thou shouldest surely recover.(KJV-1611) 2Ki 8:14 Azayèl kite Elize, li tounen al jwenn mèt li ki mande l': --Sa Elize di ou? Li reponn: --Li di m' li sèten w'ap refè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:15 ============ 2Ki 8:15 And it came to pass on the morrow, that he took a thick cloth, and dipped it in water, and spread it on his face, so that he died: and Hazael reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 8:15 Men nan denmen, Azayèl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayèl moute wa sou fotèy Siri a nan plas Bennadad.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:16 ============ 2Ki 8:16 And in the fifth year of Joram the son of Ahab king of Israel, Jehoshaphat being then king of Judah, Jehoram the son of Je hoshaphat king of Judah began to reign.(KJV-1611) 2Ki 8:16 Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:17 ============ 2Ki 8:17 Thirty and two years old was he when he began to reign; and he reigned eight years in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 8:17 Li te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan witan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:18 ============ 2Ki 8:18 And he walked in the way of the kings of Israel, as did the house of Ahab: for the daughter of Ahab was his wife: and he did evil in the sight of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 8:18 Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lòt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dèyè wa peyi Izrayèl yo. Li fè sa ki mal nan je Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:19 ============ 2Ki 8:19 Yet the LORD would not destroy Judah for David his servant's sake, as he promised him to give him alway a light, and to his children.(KJV-1611) 2Ki 8:19 Men, Seyè a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomèt David, sèvitè l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:20 ============ 2Ki 8:20 In his days Edom revolted from under the hand of Judah, and made a king over themselves.(KJV-1611) 2Ki 8:20 Sou reny wa Joram, moun peyi Edon yo pran lezam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo. Yo nonmen yon wa pou gouvènen yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:21 ============ 2Ki 8:21 So Joram went over to Zair, and all the chariots with him: and he rose by night, and smote the Edomites which compassed him about, and the captains of the chariots: and the people fled into their tents.(KJV-1611) 2Ki 8:21 Se konsa Joram soti ak tout cha lagè li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, li menm ak chèf cha lagè li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sènen yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape. Tout sòlda yo gaye al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:22 ============ 2Ki 8:22 Yet Edom revolted from under the hand of Judah unto this day. Then Libnah revolted at the same time.(KJV-1611) 2Ki 8:22 Se depi lè sa a, peyi Edon an soti anba lòd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lè a tou moun lavil Libna yo pran libète granmoun yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:23 ============ 2Ki 8:23 And the rest of the acts of Joram, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 8:23 N'a jwenn rès istwa Joram ak tou sa li te fè ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:24 ============ 2Ki 8:24 And Joram slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David: and Ahaziah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 8:24 Lè Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansèt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:25 ============ 2Ki 8:25 In the twelfth year of Joram the son of Ahab king of Israel did Ahaziah the son of Jehoram king of Judah begin to reign.(KJV-1611) 2Ki 8:25 Wa Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Okozyas, pitit Joram, moute wa sou fotèy peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:26 ============ 2Ki 8:26 Two and twenty years old was Ahaziah when he began to reign; and he reigned one year in Jerusalem. And his mother's name was Athaliah, the daughter of Omri king of Israel.(KJV-1611) 2Ki 8:26 Li te gen venndezan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:27 ============ 2Ki 8:27 And he walked in the way of the house of Ahab, and did evil in the sight of the LORD, as did the house of Ahab: for he was the son in law of the house of Ahab.(KJV-1611) 2Ki 8:27 Okozyas mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:28 ============ 2Ki 8:28 And he went with Joram the son of Ahab to the war against Hazael king of Syria in Ramothgilead; and the Syrians wounded Joram.(KJV-1611) 2Ki 8:28 Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 8:29 ============ 2Ki 8:29 And king Joram went back to be healed in Jezreel of the wounds which the Syrians had given him at Ramah, when he fought against Hazael king of Syria. And Ahaziah the son of Jehoram king of Judah went down to see Joram the son of Ahab in Jezreel, because he was sick.(KJV-1611) 2Ki 8:29 Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba kou sòlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramòt lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyèl al wè wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:1 ============ 2Ki 9:1 And Elisha the prophet called one of the children of the prophets, and said unto him, Gird up thy loins, and take this box of oil in thine hand, and go to Ramothgilead:(KJV-1611) 2Ki 9:1 Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: --Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:2 ============ 2Ki 9:2 And when thou comest thither, look out there Jehu the son of Jehoshaphat the son of Nimshi, and go in, and make him arise up from among his brethren, and carry him to an inner chamber;(KJV-1611) 2Ki 9:2 Lè w'a rive, w'a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W'a antre kote l' ye a, w'a fè l' leve kite kanmarad li yo, w'a mennen l' nan yon pyès apa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:3 ============ 2Ki 9:3 Then take the box of oil, and pour it on his head, and say, Thus saith the LORD, I have anointed thee king over Israel. Then open the door, and flee, and tarry not.(KJV-1611) 2Ki 9:3 W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:4 ============ 2Ki 9:4 So the young man, even the young man the prophet, went to Ramothgilead.(KJV-1611) 2Ki 9:4 Se konsa jenn pwofèt la ale lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:5 ============ 2Ki 9:5 And when he came, behold, the captains of the host were sitting; and he said, I have an errand to thee, O captain. And Jehu said, Unto which of all us? And he said, To thee, O captain.(KJV-1611) 2Ki 9:5 Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: --Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': --Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: --Pou ou wi, chèf.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:6 ============ 2Ki 9:6 And he arose, and went into the house; and he poured the oil on his head, and said unto him, Thus saith the LORD God of Israel, I have anointed thee king over the people of the LORD, even over Israel.(KJV-1611) 2Ki 9:6 Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: --Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:7 ============ 2Ki 9:7 And thou shalt smite the house of Ahab thy master, that I may avenge the blood of my servants the prophets, and the blood of all the servants of the LORD, at the hand of Jezebel.(KJV-1611) 2Ki 9:7 Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:8 ============ 2Ki 9:8 For the whole house of Ahab shall perish: and I will cut off from Ahab him that pisseth against the wall, and him that is shut up and left in Israel:(KJV-1611) 2Ki 9:8 Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M'ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:9 ============ 2Ki 9:9 And I will make the house of Ahab like the house of Jeroboam the son of Nebat, and like the house of Baasha the son of Ahijah:(KJV-1611) 2Ki 9:9 Menm sa m' te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m' te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m'ap fè fanmi pa l' la tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:10 ============ 2Ki 9:10 And the dogs shall eat Jezebel in the portion of Jezreel, and there shall be none to bury her. And he opened the door, and fled.(KJV-1611) 2Ki 9:10 Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P'ap gen pesonn pou antere l'. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:11 ============ 2Ki 9:11 Then Jehu came forth to the servants of his lord: and one said unto him, Is all well? wherefore came this mad fellow to thee? And he said unto them, Ye know the man, and his communication.(KJV-1611) 2Ki 9:11 Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': --Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: --Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:12 ============ 2Ki 9:12 And they said, It is false; tell us now. And he said, Thus and thus spake he to me, saying, Thus saith the LORD, I have anointed thee king over Israel.(KJV-1611) 2Ki 9:12 Mesye yo reponn: --Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: --Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:13 ============ 2Ki 9:13 Then they hasted, and took every man his garment, and put it under him on the top of the stairs, and blew with trumpets, saying, Jehu is king.(KJV-1611) 2Ki 9:13 Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: --Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:14 ============ 2Ki 9:14 So Jehu the son of Jehoshaphat the son of Nimshi conspired against Joram. (Now Joram had kept Ramothgilead, he and all Israel, because of Hazael king of Syria.(KJV-1611) 2Ki 9:14 Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:15 ============ 2Ki 9:15 But king Joram was returned to be healed in Jezreel of the wounds which the Syrians had given him, when he fought with Hazael king of Syria.) And Jehu said, If it be your minds, then let none go forth nor escape out of the city to go to tell it in Jezreel.(KJV-1611) 2Ki 9:15 Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: --Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:16 ============ 2Ki 9:16 So Jehu rode in a chariot, and went to Jezreel; for Joram lay there. And Ahaziah king of Judah was come down to see Joram.(KJV-1611) 2Ki 9:16 Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:17 ============ 2Ki 9:17 And there stood a watchman on the tower in Jezreel, and he spied the company of Jehu as he came, and said, I see a company. And Joram said, Take an horseman, and send to meet them, and let him say, Is it peace?(KJV-1611) 2Ki 9:17 Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: --Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: --Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:18 ============ 2Ki 9:18 So there went one on horseback to meet him, and said, Thus saith the king, Is it peace? And Jehu said, What hast thou to do with peace? turn thee behind me. And the watchman told, saying, The messenger came to them, but he cometh not again.(KJV-1611) 2Ki 9:18 Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': --Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: --Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: --Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:19 ============ 2Ki 9:19 Then he sent out a second on horseback, which came to them, and said, Thus saith the king, Is it peace? And Jehu answered, What hast thou to do with peace? turn thee behind me.(KJV-1611) 2Ki 9:19 Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: --Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: --Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:20 ============ 2Ki 9:20 And the watchman told, saying, He came even unto them, and cometh not again: and the driving is like the driving of Jehu the son of Nimshi; for he driveth furiously.(KJV-1611) 2Ki 9:20 Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: --Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L'ap kouri cha lagè a tankou moun fou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:21 ============ 2Ki 9:21 And Joram said, Make ready. And his chariot was made ready. And Joram king of Israel and Ahaziah king of Judah went out, each in his chariot, and they went out against Jehu, and met him in the portion of Naboth the Jezreelite.(KJV-1611) 2Ki 9:21 Lè sa a Joram di: --Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:22 ============ 2Ki 9:22 And it came to pass, when Joram saw Jehu, that he said, Is it peace, Jehu? And he answered, What peace, so long as the whoredoms of thy mother Jezebel and her witchcrafts are so many?(KJV-1611) 2Ki 9:22 Joram mande l': --Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: --Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:23 ============ 2Ki 9:23 And Joram turned his hands, and fled, and said to Ahaziah, There is treachery, O Ahaziah.(KJV-1611) 2Ki 9:23 Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: --Yo trayi nou, Okozyas!(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:24 ============ 2Ki 9:24 And Jehu drew a bow with his full strength, and smote Jehoram between his arms, and the arrow went out at his heart, and he sunk down in his chariot.(KJV-1611) 2Ki 9:24 Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:25 ============ 2Ki 9:25 Then said Jehu to Bidkar his captain, Take up, and cast him in the portion of the field of Naboth the Jezreelite: for remember how that, when I and thou rode together after Ahab his father, the LORD laid this burden upon him;(KJV-1611) 2Ki 9:25 Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: --Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:26 ============ 2Ki 9:26 Surely I have seen yesterday the blood of Naboth, and the blood of his sons, saith the LORD; and I will requite thee in this plat, saith the LORD. Now therefore take and cast him into the plat of ground, according to the word of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 9:26 Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l' yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Koulye a, pran kadav li, jete l' nan jaden Nabòt la, jan Seyè a te di l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:27 ============ 2Ki 9:27 But when Ahaziah the king of Judah saw this, he fled by the way of the garden house. And Jehu followed after him, and said, Smite him also in the chariot. And they did so at the going up to Gur, which is by Ibleam. And he fled to Megiddo, and died there.(KJV-1611) 2Ki 9:27 Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: --Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:28 ============ 2Ki 9:28 And his servants carried him in a chariot to Jerusalem, and buried him in his sepulchre with his fathers in the city of David.(KJV-1611) 2Ki 9:28 Apre sa, chèf li yo mete kadav la sou cha a, yo mennen l' lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan kavo fanmi li nan lavil David la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:29 ============ 2Ki 9:29 And in the eleventh year of Joram the son of Ahab began Ahaziah to reign over Judah.(KJV-1611) 2Ki 9:29 Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou onzan depi li te wa peyi Izrayèl lè Okozyas te moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:30 ============ 2Ki 9:30 And when Jehu was come to Jezreel, Jezebel heard of it; and she painted her face, and tired her head, and looked out at a window.(KJV-1611) 2Ki 9:30 Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:31 ============ 2Ki 9:31 And as Jehu entered in at the gate, she said, Had Zimri peace, who slew his master?(KJV-1611) 2Ki 9:31 Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: --Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:32 ============ 2Ki 9:32 And he lifted up his face to the window, and said, Who is on my side? who? And there looked out to him two or three eunuchs.(KJV-1611) 2Ki 9:32 Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: --Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:33 ============ 2Ki 9:33 And he said, Throw her down. So they threw her down: and some of her blood was sprinkled on the wall, and on the horses: and he trode her under foot.(KJV-1611) 2Ki 9:33 Jeou di yo: --Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:34 ============ 2Ki 9:34 And when he was come in, he did eat and drink, and said, Go, see now this cursed woman, and bury her: for she is a king's daughter.(KJV-1611) 2Ki 9:34 Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: --Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:35 ============ 2Ki 9:35 And they went to bury her: but they found no more of her than the skull, and the feet, and the palms of her hands.(KJV-1611) 2Ki 9:35 Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:36 ============ 2Ki 9:36 Wherefore they came again, and told him. And he said, This is the word of the LORD, which he spake by his servant Elijah the Tishbite, saying, In the portion of Jezreel shall dogs eat the flesh of Jezebel:(KJV-1611) 2Ki 9:36 Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: --Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 9:37 ============ 2Ki 9:37 And the carcase of Jezebel shall be as dung upon the face of the field in the portion of Jezreel; so that they shall not say, This is Jezebel.(KJV-1611) 2Ki 9:37 Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:1 ============ 2Ki 10:1 And Ahab had seventy sons in Samaria. And Jehu wrote letters, and sent to Samaria, unto the rulers of Jezreel, to the elders, and to them that brought up Ahab's children, saying,(KJV-1611) 2Ki 10:1 Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo:(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:2 ============ 2Ki 10:2 Now as soon as this letter cometh to you, seeing your master's sons are with you, and there are with you chariots and horses, a fenced city also, and armour;(KJV-1611) 2Ki 10:2 --Mwen konnen se nou menm ki gen reskonsablite tout pitit mèt nou yo, cha lagè li yo, chwal li yo, ranpa lavil la ak tout zam ki ladan l'. Resevwa n'a resevwa lèt sa a,(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:3 ============ 2Ki 10:3 Look even out the best and meetest of your master's sons, and set him on his father's throne, and fight for your master's house.(KJV-1611) 2Ki 10:3 n'a chwazi yonn nan pitit mèt nou an, sa nou wè ki pi bon an, sa ki gen kalite pou sa, n'a mete l' sou fotèy la nan plas papa l'. Lèfini, n'a goumen pou pran defans li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:4 ============ 2Ki 10:4 But they were exceedingly afraid, and said, Behold, two kings stood not before him: how then shall we stand?(KJV-1611) 2Ki 10:4 Men mesye yo te pè anpil, yo di: --De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'!(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:5 ============ 2Ki 10:5 And he that was over the house, and he that was over the city, the elders also, and the bringers up of the children, sent to Jehu, saying, We are thy servants, and will do all that thou shalt bid us; we will not make any king: do thou that which is good in thine eyes.(KJV-1611) 2Ki 10:5 Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: --Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:6 ============ 2Ki 10:6 Then he wrote a letter the second time to them, saying, If ye be mine, and if ye will hearken unto my voice, take ye the heads of the men your master's sons, and come to me to Jezreel by to morrow this time. Now the king's sons, being seventy persons, were with the great men of the city, which brought them up.(KJV-1611) 2Ki 10:6 Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: --Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:7 ============ 2Ki 10:7 And it came to pass, when the letter came to them, that they took the king's sons, and slew seventy persons, and put their heads in baskets, and sent him them to Jezreel.(KJV-1611) 2Ki 10:7 Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:8 ============ 2Ki 10:8 And there came a messenger, and told him, saying, They have brought the heads of the king's sons. And he said, Lay ye them in two heaps at the entering in of the gate until the morning.(KJV-1611) 2Ki 10:8 Lè yo vin di Jeou yo te pote tèt pitit wa Akab yo, li bay lòd pou yo fè de pil ak yo bò pòtay lavil la, kite yo la jouk denmen maten.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:9 ============ 2Ki 10:9 And it came to pass in the morning, that he went out, and stood, and said to all the people, Ye be righteous: behold, I conspired against my master, and slew him: but who slew all these?(KJV-1611) 2Ki 10:9 Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: --Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:10 ============ 2Ki 10:10 Know now that there shall fall unto the earth nothing of the word of the LORD, which the LORD spake concerning the house of Ahab: for the LORD hath done that which he spake by his servant Elijah.(KJV-1611) 2Ki 10:10 Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:11 ============ 2Ki 10:11 So Jehu slew all that remained of the house of Ahab in Jezreel, and all his great men, and his kinsfolks, and his priests, until he left him none remaining.(KJV-1611) 2Ki 10:11 Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:12 ============ 2Ki 10:12 And he arose and departed, and came to Samaria. And as he was at the shearing house in the way,(KJV-1611) 2Ki 10:12 Apre sa, li pati pou lavil Samari. Sou wout la, lè li rive bò kan gadò mouton yo,(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:13 ============ 2Ki 10:13 Jehu met with the brethren of Ahaziah king of Judah, and said, Who are ye? And they answered, We are the brethren of Ahaziah; and we go down to salute the children of the king and the children of the queen.(KJV-1611) 2Ki 10:13 li jwenn ak kèk fanmi Okozyas, wa peyi Jida a. Li mande yo: --Ki moun nou ye? Yo reponn li: --Nou se fanmi wa Okozyas. Nou pral di pitit wa a ak pitit larenn lan bonjou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:14 ============ 2Ki 10:14 And he said, Take them alive. And they took them alive, and slew them at the pit of the shearing house, even two and forty men; neither left he any of them.(KJV-1611) 2Ki 10:14 Jeou bay moun ki te avè l' yo lòd sa a: --Pran yo tou vivan! Yo pran yo tou vivan, yo koupe kou yo bò kan gadò mouton yo. Te gen karannde moun antou. Yo pa kite yonn ladan yo vivan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:15 ============ 2Ki 10:15 And when he was departed thence, he lighted on Jehonadab the son of Rechab coming to meet him: and he saluted him, and said to him, Is thine heart right, as my heart is with thy heart? And Jehonadab answered, It is. If it be, give me thine hand. And he gave him his hand; and he took him up to him into the chariot.(KJV-1611) 2Ki 10:15 Jeou pati ankò. Sou wout li, li kontre ak Jonadab, pitit gason Rekab la, ki t'ap mache vin jwenn li. Jeou di l' bonjou, epi li di l' konsa: --Ou gen menm lide avè m'? Eske w'ap mache avè m'? Jonadab reponn: --Wi, m'ap mache avè ou. Jeou di li: --Si nou dakò, ban m' lanmen. Jonadab ak Jeou bay lanmen. Jeou ede l' moute sou cha lagè a bò kote l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:16 ============ 2Ki 10:16 And he said, Come with me, and see my zeal for the LORD. So they made him ride in his chariot.(KJV-1611) 2Ki 10:16 Li di l' konsa: --Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:17 ============ 2Ki 10:17 And when he came to Samaria, he slew all that remained unto Ahab in Samaria, till he had destroyed him, according to the saying of the LORD, which he spake to Elijah.(KJV-1611) 2Ki 10:17 Lè yo rive lavil Samari, Jeou touye dènye rès moun nan fanmi Akab la. Li pa kite yonn ladan yo vivan, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Eli a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:18 ============ 2Ki 10:18 And Jehu gathered all the people together, and said unto them, Ahab served Baal a little; but Jehu shall serve him much.(KJV-1611) 2Ki 10:18 Apre sa, Jeou reyini tout pèp lavil Samari a, li di yo: --Akab te sèvi Baal yon ti kras, mwen menm m'ap sèvi l' plis pase l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:19 ============ 2Ki 10:19 Now therefore call unto me all the prophets of Baal, all his servants, and all his priests; let none be wanting: for I have a great sacrifice to do to Baal; whosoever shall be wanting, he shall not live. But Jehu did it in subtilty, to the intent that he might destroy the worshippers of Baal.(KJV-1611) 2Ki 10:19 Se poutèt sa, fè chache tout pwofèt yo, tout sèvitè Baal yo ak tout prèt li yo, fè yo vin jwenn mwen. Mwen vle pou tout moun la, paske mwen gen pou m' fè yon gwo sèvis pou Baal. Si yon moun pa la l'ap mouri. Men se yon plan Jeou te gen nan tèt li pou l' te touye tout moun k'ap sèvi Baal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:20 ============ 2Ki 10:20 And Jehu said, Proclaim a solemn assembly for Baal. And they proclaimed it.(KJV-1611) 2Ki 10:20 Se poutèt sa li bay lòd pou yo fè tout moun konnen yo pral fè yon gwo sèvis pou Baal. Yo fè piblikasyon an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:21 ============ 2Ki 10:21 And Jehu sent through all Israel: and all the worshippers of Baal came, so that there was not a man left that came not. And they came into the house of Baal; and the house of Baal was full from one end to another.(KJV-1611) 2Ki 10:21 Jeou voye bay nouvèl la nan tout peyi Izrayèl la. Tout moun ki sèvi Baal yo vini. Pa t' gen yonn ki pa t' la. Yo tout antre nan tanp Baal la, yo plenn l' nèt.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:22 ============ 2Ki 10:22 And he said unto him that was over the vestry, Bring forth vestments for all the worshippers of Baal. And he brought them forth vestments.(KJV-1611) 2Ki 10:22 Jeou rele moun ki te reskonsab rad seremoni yo, li di l' konsa: --Pran rad seremoni bay tout sèvitè Baal yo. Nonm lan mete rad yo deyò, li bay yo chak yonn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:23 ============ 2Ki 10:23 And Jehu went, and Jehonadab the son of Rechab, into the house of Baal, and said unto the worshippers of Baal, Search, and look that there be here with you none of the servants of the LORD, but the worshippers of Baal only.(KJV-1611) 2Ki 10:23 Lèfini, Jeou ak Jonadab, pitit Rekab la, rive nan tanp Baal la, li di moun yo: --Se pou nou sèten se renk moun ki sèvi Baal ki la avè nou. Pa kite ankenn moun k'ap sèvi Seyè a nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:24 ============ 2Ki 10:24 And when they went in to offer sacrifices and burnt offerings, Jehu appointed fourscore men without, and said, If any of the men whom I have brought into your hands escape, he that letteth him go, his life shall be for the life of him.(KJV-1611) 2Ki 10:24 Tout moun yo antre nan tanp lan pou ofri bèt pou yo touye pou Baal ak bèt pou yo boule pou li. Men, Jeou te mete katreven moun pa l' sou deyò tanp lan. Li te avèti yo, li te di yo: --Si yonn nan nou kite yonn nan moun mwen pral lage nan men nou yo chape, se li menm k'ap mouri nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:25 ============ 2Ki 10:25 And it came to pass, as soon as he had made an end of offering the burnt offering, that Jehu said to the guard and to the captains, Go in, and slay them; let none come forth. And they smote them with the edge of the sword; and the guard and the captains cast them out, and went to the city of the house of Baal.(KJV-1611) 2Ki 10:25 Fini Jeou fini boule bèt yo pou Baal, li di gad yo ak kaptenn yo: --Antre, touye yo tout! Pa kite yonn ladan yo chape! Mesye Jeou yo antre ak nepe nan men yo, yo touye tout moun, yo trennen kadav yo met deyò. Lèfini, yo tounen nan pyès kote lotèl la ye nan tanp Baal la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:26 ============ 2Ki 10:26 And they brought forth the images out of the house of Baal, and burned them.(KJV-1611) 2Ki 10:26 Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:27 ============ 2Ki 10:27 And they brake down the image of Baal, and brake down the house of Baal, and made it a draught house unto this day.(KJV-1611) 2Ki 10:27 Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:28 ============ 2Ki 10:28 Thus Jehu destroyed Baal out of Israel.(KJV-1611) 2Ki 10:28 Se konsa Jeou fè disparèt sèvis Baal nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:29 ============ 2Ki 10:29 Howbeit from the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin, Jehu departed not from after them, to wit, the golden calves that were in Bethel, and that were in Dan.(KJV-1611) 2Ki 10:29 Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:30 ============ 2Ki 10:30 And the LORD said unto Jehu, Because thou hast done well in executing that which is right in mine eyes, and hast done unto the house of Ahab according to all that was in mine heart, thy children of the fourth generation shall sit on the throne of Israel.(KJV-1611) 2Ki 10:30 Seyè a di Jeou konsa: --Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:31 ============ 2Ki 10:31 But Jehu took no heed to walk in the law of the LORD God of Israel with all his heart: for he departed not from the sins of Jeroboam, which made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 10:31 Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:32 ============ 2Ki 10:32 In those days the LORD began to cut Israel short: and Hazael smote them in all the coasts of Israel;(KJV-1611) 2Ki 10:32 Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a,(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:33 ============ 2Ki 10:33 From Jordan eastward, all the land of Gilead, the Gadites, and the Reubenites, and the Manassites, from Aroer, which is by the river Arnon, even Gilead and Bashan.(KJV-1611) 2Ki 10:33 depi sou bò solèy leve larivyè Jouden jouk lavil Awoyè, anwo ravin Amon an nan sid, ki vle di nan tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an kote moun branch fanmi Gad, fanmi Woubenn ak fanmi Manase yo rete.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:34 ============ 2Ki 10:34 Now the rest of the acts of Jehu, and all that he did, and all his might, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 10:34 Tout rès istwa Jeou a ansanm ak tou sa li te fè ak kote yo rakonte jan li te vanyan sòlda, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:35 ============ 2Ki 10:35 And Jehu slept with his fathers: and they buried him in Samaria. And Jehoahaz his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 10:35 Lè Jeou mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joakaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 10:36 ============ 2Ki 10:36 And the time that Jehu reigned over Israel in Samaria was twenty and eight years.(KJV-1611) 2Ki 10:36 Jeou te gouvènen peyi Izrayèl pandan ventwitan nan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:1 ============ 2Ki 11:1 And when Athaliah the mother of Ahaziah saw that her son was dead, she arose and destroyed all the seed royal.(KJV-1611) 2Ki 11:1 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:2 ============ 2Ki 11:2 But Jehosheba, the daughter of king Joram, sister of Ahaziah, took Joash the son of Ahaziah, and stole him from among the king's sons which were slain; and they hid him, even him and his nurse, in the bedchamber from Athaliah, so that he was not slain.(KJV-1611) 2Ki 11:2 Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:3 ============ 2Ki 11:3 And he was with her hid in the house of the LORD six years. And Athaliah did reign over the land.(KJV-1611) 2Ki 11:3 Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:4 ============ 2Ki 11:4 And the seventh year Jehoiada sent and fetched the rulers over hundreds, with the captains and the guard, and brought them to him into the house of the LORD, and made a covenant with them, and took an oath of them in the house of the LORD, and shewed them the king's son.(KJV-1611) 2Ki 11:4 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:5 ============ 2Ki 11:5 And he commanded them, saying, This is the thing that ye shall do; A third part of you that enter in on the sabbath shall even be keepers of the watch of the king's house;(KJV-1611) 2Ki 11:5 Apre sa, li ba yo lòd sa a: --Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:6 ============ 2Ki 11:6 And a third part shall be at the gate of Sur; and a third part at the gate behind the guard: so shall ye keep the watch of the house, that it be not broken down.(KJV-1611) 2Ki 11:6 yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y'a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:7 ============ 2Ki 11:7 And two parts of all you that go forth on the sabbath, even they shall keep the watch of the house of the LORD about the king.(KJV-1611) 2Ki 11:7 De gwoup gad k'ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:8 ============ 2Ki 11:8 And ye shall compass the king round about, every man with his weapons in his hand: and he that cometh within the ranges, let him be slain: and be ye with the king as he goeth out and as he cometh in.(KJV-1611) 2Ki 11:8 N'a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N'a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l'. Kote wa a va fè, n'a fè avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:9 ============ 2Ki 11:9 And the captains over the hundreds did according to all things that Jehoiada the priest commanded: and they took every man his men that were to come in on the sabbath, with them that should go out on the sabbath, and came to Jehoiada the priest.(KJV-1611) 2Ki 11:9 Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t'ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t'ap leve pòs jou sa a tou, y' al jwenn Jeojada, prèt la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:10 ============ 2Ki 11:10 And to the captains over hundreds did the priest give king David's spears and shields, that were in the temple of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 11:10 Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:11 ============ 2Ki 11:11 And the guard stood, every man with his weapons in his hand, round about the king, from the right corner of the temple to the left corner of the temple, along by the altar and the temple.(KJV-1611) 2Ki 11:11 Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:12 ============ 2Ki 11:12 And he brought forth the king's son, and put the crown upon him, and gave him the testimony; and they made him king, and anointed him; and they clapped their hands, and said, God save the king.(KJV-1611) 2Ki 11:12 Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:13 ============ 2Ki 11:13 And when Athaliah heard the noise of the guard and of the people, she came to the people into the temple of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 11:13 Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t'ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:14 ============ 2Ki 11:14 And when she looked, behold, the king stood by a pillar, as the manner was, and the princes and the trumpeters by the king, and all the people of the land rejoiced, and blew with trumpets: and Athaliah rent her clothes, and cried, Treason, Treason.(KJV-1611) 2Ki 11:14 Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: --Men yo moute yon konplo sou do m!(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:15 ============ 2Ki 11:15 But Jehoiada the priest commanded the captains of the hundreds, the officers of the host, and said unto them, Have her forth without the ranges: and him that followeth her kill with the sword. For the priest had said, Let her not be slain in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 11:15 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: --Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:16 ============ 2Ki 11:16 And they laid hands on her; and she went by the way by the which the horses came into the king's house: and there was she slain.(KJV-1611) 2Ki 11:16 Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:17 ============ 2Ki 11:17 And Jehoiada made a covenant between the LORD and the king and the people, that they should be the LORD's people; between the king also and the people.(KJV-1611) 2Ki 11:17 Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:18 ============ 2Ki 11:18 And all the people of the land went into the house of Baal, and brake it down; his altars and his images brake they in pieces thoroughly, and slew Mattan the priest of Baal before the altars. And the priest appointed officers over the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 11:18 Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:19 ============ 2Ki 11:19 And he took the rulers over hundreds, and the captains, and the guard, and all the people of the land; and they brought down the king from the house of the LORD, and came by the way of the gate of the guard to the king's house. And he sat on the throne of the kings.(KJV-1611) 2Ki 11:19 Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y' ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:20 ============ 2Ki 11:20 And all the people of the land rejoiced, and the city was in quiet: and they slew Athaliah with the sword beside the king's house.(KJV-1611) 2Ki 11:20 Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t' gen yon ti bri nan tout lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 11:21 ============ 2Ki 11:21 Seven years old was Jehoash when he began to reign.(KJV-1611) 2Ki 11:21 Joas te gen sètan lè l' moute wa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:1 ============ 2Ki 12:1 In the seventh year of Jehu Jehoash began to reign; and forty years reigned he in Jerusalem. And his mother's name was Zibiah of Beersheba.(KJV-1611) 2Ki 12:1 Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:2 ============ 2Ki 12:2 And Jehoash did that which was right in the sight of the LORD all his days wherein Jehoiada the priest instructed him.(KJV-1611) 2Ki 12:2 Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:3 ============ 2Ki 12:3 But the high places were not taken away: the people still sacrificed and burnt incense in the high places.(KJV-1611) 2Ki 12:3 Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:4 ============ 2Ki 12:4 And Jehoash said to the priests, All the money of the dedicated things that is brought into the house of the LORD, even the money of every one that passeth the account, the money that every man is set at, and all the money that cometh into any man's heart to bring into the house of the LORD,(KJV-1611) 2Ki 12:4 Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: --Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:5 ============ 2Ki 12:5 Let the priests take it to them, every man of his acquaintance: and let them repair the breaches of the house, wheresoever any breach shall be found.(KJV-1611) 2Ki 12:5 Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:6 ============ 2Ki 12:6 But it was so, that in the three and twentieth year of king Jehoash the priests had not repaired the breaches of the house.(KJV-1611) 2Ki 12:6 Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:7 ============ 2Ki 12:7 Then king Jehoash called for Jehoiada the priest, and the other priests, and said unto them, Why repair ye not the breaches of the house? now therefore receive no more money of your acquaintance, but deliver it for the breaches of the house.(KJV-1611) 2Ki 12:7 Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: --Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:8 ============ 2Ki 12:8 And the priests consented to receive no more money of the people, neither to repair the breaches of the house.(KJV-1611) 2Ki 12:8 Prèt yo dakò pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pèp la ankò, lèfini pou yo pa reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:9 ============ 2Ki 12:9 But Jehoiada the priest took a chest, and bored a hole in the lid of it, and set it beside the altar, on the right side as one cometh into the house of the LORD: and the priests that kept the door put therein all the money that was brought into the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 12:9 Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:10 ============ 2Ki 12:10 And it was so, when they saw that there was much money in the chest, that the king's scribe and the high priest came up, and they put up in bags, and told the money that was found in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 12:10 Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:11 ============ 2Ki 12:11 And they gave the money, being told, into the hands of them that did the work, that had the oversight of the house of the LORD: and they laid it out to the carpenters and builders, that wrought upon the house of the LORD,(KJV-1611) 2Ki 12:11 Lè yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmèt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t'ap fè travay nan Tanp lan,(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:12 ============ 2Ki 12:12 And to masons, and hewers of stone, and to buy timber and hewed stone to repair the breaches of the house of the LORD, and for all that was laid out for the house to repair it.(KJV-1611) 2Ki 12:12 bòs mason yo ak moun k'ap taye wòch yo. Yo achte bwa ak gwo wòch taye pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Se yo menm ki te fè tout kalite depans pou sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:13 ============ 2Ki 12:13 Howbeit there were not made for the house of the LORD bowls of silver, snuffers, basons, trumpets, any vessels of gold, or vessels of silver, of the money that was brought into the house of the LORD:(KJV-1611) 2Ki 12:13 Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fè gwo basin an ajan, kouto, bòl ak twonpèt yo, ni ankenn lòt bagay an lò osinon an ajan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:14 ============ 2Ki 12:14 But they gave that to the workmen, and repaired therewith the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 12:14 Yo te renmèt tout lajan an bay moun ki te reskonsab travay yo pou yo te ka sèvi avè l' pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:15 ============ 2Ki 12:15 Moreover they reckoned not with the men, into whose hand they delivered the money to be bestowed on workmen: for they dealt faithfully.(KJV-1611) 2Ki 12:15 Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:16 ============ 2Ki 12:16 The trespass money and sin money was not brought into the house of the LORD: it was the priests'.(KJV-1611) 2Ki 12:16 Yo pa t' mete lajan ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal ak lajan ofrann moun fè pou peche yo fè san yo pa konnen nan bwat Tanp Seyè a. Se pou prèt yo li te ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:17 ============ 2Ki 12:17 Then Hazael king of Syria went up, and fought against Gath, and took it: and Hazael set his face to go up to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 12:17 Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:18 ============ 2Ki 12:18 And Jehoash king of Judah took all the hallowed things that Jehoshaphat, and Jehoram, and Ahaziah, his fathers, kings of Judah, had dedicated, and his own hallowed things, and all the gold that was found in the treasures of the house of the LORD, and in the king's house, and sent it to Hazael king of Syria: and he went away from Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 12:18 Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:19 ============ 2Ki 12:19 And the rest of the acts of Joash, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 12:19 Tout rès istwa Joas ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:20 ============ 2Ki 12:20 And his servants arose, and made a conspiracy, and slew Joash in the house of Millo, which goeth down to Silla.(KJV-1611) 2Ki 12:20 Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 12:21 ============ 2Ki 12:21 For Jozachar the son of Shimeath, and Jehozabad the son of Shomer, his servants, smote him, and he died; and they buried him with his fathers in the city of David: and Amaziah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 12:21 Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:1 ============ 2Ki 13:1 In the three and twentieth year of Joash the son of Ahaziah king of Judah Jehoahaz the son of Jehu began to reign over Israel in Samaria, and reigned seventeen years.(KJV-1611) 2Ki 13:1 Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:2 ============ 2Ki 13:2 And he did that which was evil in the sight of the LORD, and followed the sins of Jeroboam the son of Nebat, which made Israel to sin; he departed not therefrom.(KJV-1611) 2Ki 13:2 Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:3 ============ 2Ki 13:3 And the anger of the LORD was kindled against Israel, and he delivered them into the hand of Hazael king of Syria, and into the hand of Benhadad the son of Hazael, all their days.(KJV-1611) 2Ki 13:3 Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:4 ============ 2Ki 13:4 And Jehoahaz besought the LORD, and the LORD hearkened unto him: for he saw the oppression of Israel, because the king of Syria oppressed them.(KJV-1611) 2Ki 13:4 Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:5 ============ 2Ki 13:5 (And the LORD gave Israel a saviour, so that they went out from under the hand of the Syrians: and the children of Israel dwelt in their tents, as beforetime.(KJV-1611) 2Ki 13:5 Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:6 ============ 2Ki 13:6 Nevertheless they departed not from the sins of the house of Jeroboam, who made Israel sin, but walked therein: and there remained the grove also in Samaria.)(KJV-1611) 2Ki 13:6 Atousa, yo pa t' sispann fè peche fanmi Jewoboram yo te lakòz pèp la te fè. Yo lage kò yo nan fè menm peche yo tou. Estati Astate a te toujou kanpe lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:7 ============ 2Ki 13:7 Neither did he leave of the people to Jehoahaz but fifty horsemen, and ten chariots, and ten thousand footmen; for the king of Syria had destroyed them, and had made them like the dust by threshing.(KJV-1611) 2Ki 13:7 Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:8 ============ 2Ki 13:8 Now the rest of the acts of Jehoahaz, and all that he did, and his might, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 13:8 Rès istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:9 ============ 2Ki 13:9 And Jehoahaz slept with his fathers; and they buried him in Samaria: and Joash his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 13:9 Lè Joakaz mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:10 ============ 2Ki 13:10 In the thirty and seventh year of Joash king of Judah began Jehoash the son of Jehoahaz to reign over Israel in Samaria, and reigned sixteen years.(KJV-1611) 2Ki 13:10 Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan sèzan nan lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:11 ============ 2Ki 13:11 And he did that which was evil in the sight of the LORD; he departed not from all the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel sin: but he walked therein.(KJV-1611) 2Ki 13:11 Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li lage kò l' pi rèd ladan l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:12 ============ 2Ki 13:12 And the rest of the acts of Joash, and all that he did, and his might wherewith he fought against Amaziah king of Judah, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 13:12 Tout rès istwa Joas la, tout sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè ak Amasya, wa peyi Jida a, tou sa te ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:13 ============ 2Ki 13:13 And Joash slept with his fathers; and Jeroboam sat upon his throne: and Joash was buried in Samaria with the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ki 13:13 Lè li mouri, yo antere l' menm kote ak lòt wa peyi Izrayèl yo lavil Samari. Se Jewoboram ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:14 ============ 2Ki 13:14 Now Elisha was fallen sick of his sickness whereof he died. And Joash the king of Israel came down unto him, and wept over his face, and said, O my father, my father, the chariot of Israel, and the horsemen thereof.(KJV-1611) 2Ki 13:14 Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: --Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:15 ============ 2Ki 13:15 And Elisha said unto him, Take bow and arrows. And he took unto him bow and arrows.(KJV-1611) 2Ki 13:15 Elize di li: --Pran yon banza ak kèk flèch. Wa a pran yon banza ak kèk flèch.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:16 ============ 2Ki 13:16 And he said to the king of Israel, Put thine hand upon the bow. And he put his hand upon it: and Elisha put his hands upon the king's hands.(KJV-1611) 2Ki 13:16 Lè sa a, Elize di l' konsa: --Pare ou pou ou tire yon flèch. Wa a pare. Elize mete men pa l' sou men wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:17 ============ 2Ki 13:17 And he said, Open the window eastward. And he opened it. Then Elisha said, Shoot. And he shot. And he said, The arrow of the LORD's deliverance, and the arrow of deliverance from Syria: for thou shalt smite the Syrians in Aphek, till thou have consumed them.(KJV-1611) 2Ki 13:17 Li di l': --Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a. Wa a louvri fennèt la. Elize di li: --Koulye a tire! Wa a tire flèch la, lè sa a Elize pale byen fò li di: --Men flèch Seyè a voye pou bay delivrans lan, flèch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afèk jouk ou a fini ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:18 ============ 2Ki 13:18 And he said, Take the arrows. And he took them. And he said unto the king of Israel, Smite upon the ground. And he smote thrice, and stayed.(KJV-1611) 2Ki 13:18 Apre sa, Elize di wa a: --Pran lòt flèch yo! Wa a pran flèch yo. Elize di li: --Frape yo atè. Wa a frape yo atè an twa fwa epi li rete.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:19 ============ 2Ki 13:19 And the man of God was wroth with him, and said, Thou shouldest have smitten five or six times; then hadst thou smitten Syria till thou hadst consumed it: whereas now thou shalt smite Syria but thrice.(KJV-1611) 2Ki 13:19 Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l' konsa: --Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:20 ============ 2Ki 13:20 And Elisha died, and they buried him. And the bands of the Moabites invaded the land at the coming in of the year.(KJV-1611) 2Ki 13:20 Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:21 ============ 2Ki 13:21 And it came to pass, as they were burying a man, that, behold, they spied a band of men; and they cast the man into the sepulchre of Elisha: and when the man was let down, and touched the bones of Elisha, he revived, and stood up on his feet.(KJV-1611) 2Ki 13:21 Yon lè moun peyi Izrayèl yo tapral antere yon moun mouri, yo wè yonn nan bann moun Moab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyò. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mò a leve vivan, li kanpe sou de pye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:22 ============ 2Ki 13:22 But Hazael king of Syria oppressed Israel all the days of Jehoahaz.(KJV-1611) 2Ki 13:22 Azayèl, wa peyi Siri a, te maltrete pèp peyi Izrayèl la pandan tout reny Joakaz.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:23 ============ 2Ki 13:23 And the LORD was gracious unto them, and had compassion on them, and had respect unto them, because of his covenant with Abraham, Isaac, and Jacob, and would not destroy them, neither cast he them from his presence as yet.(KJV-1611) 2Ki 13:23 Men, Seyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:24 ============ 2Ki 13:24 So Hazael king of Syria died; and Benhadad his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 13:24 Lè Azayèl, wa peyi Siri a, mouri, se Bennadad, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 13:25 ============ 2Ki 13:25 And Jehoash the son of Jehoahaz took again out of the hand of Benhadad the son of Hazael the cities, which he had taken out of the hand of Jehoahaz his father by war. Three times did Joash beat him, and recovered the cities of Israel.(KJV-1611) 2Ki 13:25 Wa Joas, pitit gason Joakaz, repran nan men Bennadad tout lavil Azayèl te pran yo lè li t'ap fè lagè ak Joakaz la, papa l'. Joas bat Bennadad an twa fwa, li reprann tout lavil peyi Izrayèl yo nan men l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:1 ============ 2Ki 14:1 In the second year of Joash son of Jehoahaz king of Israel reigned Amaziah the son of Joash king of Judah.(KJV-1611) 2Ki 14:1 Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:2 ============ 2Ki 14:2 He was twenty and five years old when he began to reign, and reigned twenty and nine years in Jerusalem. And his mother's name was Jehoaddan of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 14:2 Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:3 ============ 2Ki 14:3 And he did that which was right in the sight of the LORD, yet not like David his father: he did according to all things as Joash his father did.(KJV-1611) 2Ki 14:3 Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:4 ============ 2Ki 14:4 Howbeit the high places were not taken away: as yet the people did sacrifice and burnt incense on the high places.(KJV-1611) 2Ki 14:4 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:5 ============ 2Ki 14:5 And it came to pass, as soon as the kingdom was confirmed in his hand, that he slew his servants which had slain the king his father.(KJV-1611) 2Ki 14:5 Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:6 ============ 2Ki 14:6 But the children of the murderers he slew not: according unto that which is written in the book of the law of Moses, wherein the LORD commanded, saying, The fathers shall not be put to death for the children, nor the children be put to death for the fathers; but every man shall be put to death for his own sin.(KJV-1611) 2Ki 14:6 Men, li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Seyè a te di: Papa pa gen dwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gen dwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:7 ============ 2Ki 14:7 He slew of Edom in the valley of salt ten thousand, and took Selah by war, and called the name of it Joktheel unto this day.(KJV-1611) 2Ki 14:7 Amasya te touye dimil sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:8 ============ 2Ki 14:8 Then Amaziah sent messengers to Jehoash, the son of Jehoahaz son of Jehu, king of Israel, saying, Come, let us look one another in the face.(KJV-1611) 2Ki 14:8 Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l' batay.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:9 ============ 2Ki 14:9 And Jehoash the king of Israel sent to Amaziah king of Judah, saying, The thistle that was in Lebanon sent to the cedar that was in Lebanon, saying, Give thy daughter to my son to wife: and there passed by a wild beast that was in Lebanon, and trode down the thistle.(KJV-1611) 2Ki 14:9 Joas voye reponn li: --Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:10 ============ 2Ki 14:10 Thou hast indeed smitten Edom, and thine heart hath lifted thee up: glory of this, and tarry at home: for why shouldest thou meddle to thy hurt, that thou shouldest fall, even thou, and Judah with thee?(KJV-1611) 2Ki 14:10 Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:11 ============ 2Ki 14:11 But Amaziah would not hear. Therefore Jehoash king of Israel went up; and he and Amaziah king of Judah looked one another in the face at Bethshemesh, which belongeth to Judah.(KJV-1611) 2Ki 14:11 Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:12 ============ 2Ki 14:12 And Judah was put to the worse before Israel; and they fled every man to their tents.(KJV-1611) 2Ki 14:12 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:13 ============ 2Ki 14:13 And Jehoash king of Israel took Amaziah king of Judah, the son of Jehoash the son of Ahaziah, at Bethshemesh, and came to Jerusalem, and brake down the wall of Jerusalem from the gate of Ephraim unto the corner gate, four hundred cubits.(KJV-1611) 2Ki 14:13 Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:14 ============ 2Ki 14:14 And he took all the gold and silver, and all the vessels that were found in the house of the LORD, and in the treasures of the king's house, and hostages, and returned to Samaria.(KJV-1611) 2Ki 14:14 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:15 ============ 2Ki 14:15 Now the rest of the acts of Jehoash which he did, and his might, and how he fought with Amaziah king of Judah, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 14:15 Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:16 ============ 2Ki 14:16 And Jehoash slept with his fathers, and was buried in Samaria with the kings of Israel; and Jeroboam his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 14:16 Lè Joas mouri, yo antere l' lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:17 ============ 2Ki 14:17 And Amaziah the son of Joash king of Judah lived after the death of Jehoash son of Jehoahaz king of Israel fifteen years.(KJV-1611) 2Ki 14:17 Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:18 ============ 2Ki 14:18 And the rest of the acts of Amaziah, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 14:18 Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:19 ============ 2Ki 14:19 Now they made a conspiracy against him in Jerusalem: and he fled to Lachish; but they sent after him to Lachish, and slew him there.(KJV-1611) 2Ki 14:19 Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:20 ============ 2Ki 14:20 And they brought him on horses: and he was buried at Jerusalem with his fathers in the city of David.(KJV-1611) 2Ki 14:20 Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l' lavil Jerizalèm, yo antere l' lavil David la nan kavo zansèt li yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:21 ============ 2Ki 14:21 And all the people of Judah took Azariah, which was sixteen years old, and made him king instead of his father Amaziah.(KJV-1611) 2Ki 14:21 Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:22 ============ 2Ki 14:22 He built Elath, and restored it to Judah, after that the king slept with his fathers.(KJV-1611) 2Ki 14:22 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:23 ============ 2Ki 14:23 In the fifteenth year of Amaziah the son of Joash king of Judah Jeroboam the son of Joash king of Israel began to reign in Samaria, and reigned forty and one years.(KJV-1611) 2Ki 14:23 Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:24 ============ 2Ki 14:24 And he did that which was evil in the sight of the LORD: he departed not from all the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 14:24 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:25 ============ 2Ki 14:25 He restored the coast of Israel from the entering of Hamath unto the sea of the plain, according to the word of the LORD God of Israel, which he spake by the hand of his servant Jonah, the son of Amittai, the prophet, which was of Gathhepher.(KJV-1611) 2Ki 14:25 Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:26 ============ 2Ki 14:26 For the LORD saw the affliction of Israel, that it was very bitter: for there was not any shut up, nor any left, nor any helper for Israel.(KJV-1611) 2Ki 14:26 Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:27 ============ 2Ki 14:27 And the LORD said not that he would blot out the name of Israel from under heaven: but he saved them by the hand of Jeroboam the son of Joash.(KJV-1611) 2Ki 14:27 Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:28 ============ 2Ki 14:28 Now the rest of the acts of Jeroboam, and all that he did, and his might, how he warred, and how he recovered Damascus, and Hamath, which belonged to Judah, for Israel, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 14:28 Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat soti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 14:29 ============ 2Ki 14:29 And Jeroboam slept with his fathers, even with the kings of Israel; and Zachariah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 14:29 Lè Jewoboram mouri, yo antere l' menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:1 ============ 2Ki 15:1 In the twenty and seventh year of Jeroboam king of Israel began Azariah son of Amaziah king of Judah to reign.(KJV-1611) 2Ki 15:1 Wa Jewoboram te gen vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:2 ============ 2Ki 15:2 Sixteen years old was he when he began to reign, and he reigned two and fifty years in Jerusalem. And his mother's name was Jecholiah of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 15:2 Li te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:3 ============ 2Ki 15:3 And he did that which was right in the sight of the LORD, according to all that his father Amaziah had done;(KJV-1611) 2Ki 15:3 Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, menm jan ak Amasya, papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:4 ============ 2Ki 15:4 Save that the high places were not removed: the people sacrificed and burnt incense still on the high places.(KJV-1611) 2Ki 15:4 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:5 ============ 2Ki 15:5 And the LORD smote the king, so that he was a leper unto the day of his death, and dwelt in a several house. And Jotham the king's son was over the house, judging the people of the land.(KJV-1611) 2Ki 15:5 Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:6 ============ 2Ki 15:6 And the rest of the acts of Azariah, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 15:6 Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:7 ============ 2Ki 15:7 So Azariah slept with his fathers; and they buried him with his fathers in the city of David: and Jotham his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 15:7 Lè Azarya mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:8 ============ 2Ki 15:8 In the thirty and eighth year of Azariah king of Judah did Zachariah the son of Jeroboam reign over Israel in Samaria six months.(KJV-1611) 2Ki 15:8 Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:9 ============ 2Ki 15:9 And he did that which was evil in the sight of the LORD, as his fathers had done: he departed not from the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 15:9 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:10 ============ 2Ki 15:10 And Shallum the son of Jabesh conspired against him, and smote him before the people, and slew him, and reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 15:10 Chaloum, pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l' lavil Jibleyam, li ansasinen l'. Apre sa, li moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:11 ============ 2Ki 15:11 And the rest of the acts of Zachariah, behold, they are written in the book of the chronicles of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ki 15:11 Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:12 ============ 2Ki 15:12 This was the word of the LORD which he spake unto Jehu, saying, Thy sons shall sit on the throne of Israel unto the fourth generation. And so it came to pass.(KJV-1611) 2Ki 15:12 Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:13 ============ 2Ki 15:13 Shallum the son of Jabesh began to reign in the nine and thirtieth year of Uzziah king of Judah; and he reigned a full month in Samaria.(KJV-1611) 2Ki 15:13 Wa Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:14 ============ 2Ki 15:14 For Menahem the son of Gadi went up from Tirzah, and came to Samaria, and smote Shallum the son of Jabesh in Samaria, and slew him, and reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 15:14 Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l' al atake Chaloum. Li touye l', lèfini li moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:15 ============ 2Ki 15:15 And the rest of the acts of Shallum, and his conspiracy which he made, behold, they are written in the book of the chronicles of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ki 15:15 Tout rès istwa Chaloum lan ak konplo li te moute sou do Zakari a, tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:16 ============ 2Ki 15:16 Then Menahem smote Tiphsah, and all that were therein, and the coasts thereof from Tirzah: because they opened not to him, therefore he smote it; and all the women therein that were with child he ripped up.(KJV-1611) 2Ki 15:16 Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l' ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t' louvri pòtay lavil la ba li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:17 ============ 2Ki 15:17 In the nine and thirtieth year of Azariah king of Judah began Menahem the son of Gadi to reign over Israel, and reigned ten years in Samaria.(KJV-1611) 2Ki 15:17 Wa Azarya t'ap mache sou tranteyennan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:18 ============ 2Ki 15:18 And he did that which was evil in the sight of the LORD: he departed not all his days from the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 15:18 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:19 ============ 2Ki 15:19 And Pul the king of Assyria came against the land: and Menahem gave Pul a thousand talents of silver, that his hand might be with him to confirm the kingdom in his hand.(KJV-1611) 2Ki 15:19 Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:20 ============ 2Ki 15:20 And Menahem exacted the money of Israel, even of all the mighty men of wealth, of each man fifty shekels of silver, to give to the king of Assyria. So the king of Assyria turned back, and stayed not there in the land.(KJV-1611) 2Ki 15:20 Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:21 ============ 2Ki 15:21 And the rest of the acts of Menahem, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?(KJV-1611) 2Ki 15:21 Tout rès istwa Menayèm lan ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:22 ============ 2Ki 15:22 And Menahem slept with his fathers; and Pekahiah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 15:22 Lè li mouri, se Pekaya, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:23 ============ 2Ki 15:23 In the fiftieth year of Azariah king of Judah Pekahiah the son of Menahem began to reign over Israel in Samaria, and reigned two years.(KJV-1611) 2Ki 15:23 Wa Azarya t'ap mache sou senkantan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:24 ============ 2Ki 15:24 And he did that which was evil in the sight of the LORD: he departed not from the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 15:24 Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:25 ============ 2Ki 15:25 But Pekah the son of Remaliah, a captain of his, conspired against him, and smote him in Samaria, in the palace of the king's house, with Argob and Arieh, and with him fifty men of the Gileadites: and he killed him, and reigned in his room.(KJV-1611) 2Ki 15:25 Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l' al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:26 ============ 2Ki 15:26 And the rest of the acts of Pekahiah, and all that he did, behold, they are written in the book of the chronicles of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ki 15:26 Tout rès istwa Pekaya a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:27 ============ 2Ki 15:27 In the two and fiftieth year of Azariah king of Judah Pekah the son of Remaliah began to reign over Israel in Samaria, and reigned twenty years.(KJV-1611) 2Ki 15:27 Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:28 ============ 2Ki 15:28 And he did that which was evil in the sight of the LORD: he departed not from the sins of Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin.(KJV-1611) 2Ki 15:28 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:29 ============ 2Ki 15:29 In the days of Pekah king of Israel came Tiglathpileser king of Assyria, and took Ijon, and Abelbethmaachah, and Janoah, and Kedesh, and Hazor, and Gilead, and Galilee, all the land of Naphtali, and carried them captive to Assyria.(KJV-1611) 2Ki 15:29 Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:30 ============ 2Ki 15:30 And Hoshea the son of Elah made a conspiracy against Pekah the son of Remaliah, and smote him, and slew him, and reigned in his stead, in the twentieth year of Jotham the son of Uzziah.(KJV-1611) 2Ki 15:30 Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:31 ============ 2Ki 15:31 And the rest of the acts of Pekah, and all that he did, behold, they are written in the book of the chronicles of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ki 15:31 Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:32 ============ 2Ki 15:32 In the second year of Pekah the son of Remaliah king of Israel began Jotham the son of Uzziah king of Judah to reign.(KJV-1611) 2Ki 15:32 Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:33 ============ 2Ki 15:33 Five and twenty years old was he when he began to reign, and he reigned sixteen years in Jerusalem. And his mother's name was Jerusha, the daughter of Zadok.(KJV-1611) 2Ki 15:33 Li te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:34 ============ 2Ki 15:34 And he did that which was right in the sight of the LORD: he did according to all that his father Uzziah had done.(KJV-1611) 2Ki 15:34 Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:35 ============ 2Ki 15:35 Howbeit the high places were not removed: the people sacrificed and burned incense still in the high places. He built the higher gate of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 15:35 Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:36 ============ 2Ki 15:36 Now the rest of the acts of Jotham, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 15:36 Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:37 ============ 2Ki 15:37 In those days the LORD began to send against Judah Rezin the king of Syria, and Pekah the son of Remaliah.(KJV-1611) 2Ki 15:37 Se sou reny li Seyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= 2 Kings 15:38 ============ 2Ki 15:38 And Jotham slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David his father: and Ahaz his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 15:38 Lè Jotam mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David, zansèt li a. Se Akaz, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:1 ============ 2Ki 16:1 In the seventeenth year of Pekah the son of Remaliah Ahaz the son of Jotham king of Judah began to reign.(KJV-1611) 2Ki 16:1 Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:2 ============ 2Ki 16:2 Twenty years old was Ahaz when he began to reign, and reigned sixteen years in Jerusalem, and did not that which was right in the sight of the LORD his God, like David his father.(KJV-1611) 2Ki 16:2 Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:3 ============ 2Ki 16:3 But he walked in the way of the kings of Israel, yea, and made his son to pass through the fire, according to the abominations of the heathen, whom the LORD cast out from before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ki 16:3 Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:4 ============ 2Ki 16:4 And he sacrificed and burnt incense in the high places, and on the hills, and under every green tree.(KJV-1611) 2Ki 16:4 Li fè touye bèt, li boule lansan nan tout tanp zidòl yo sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:5 ============ 2Ki 16:5 Then Rezin king of Syria and Pekah son of Remaliah king of Israel came up to Jerusalem to war: and they besieged Ahaz, but could not overcome him.(KJV-1611) 2Ki 16:5 Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayèl, mache sou lavil Jerizalèm pou yo atake l'. Yo fèmen Akaz anndan lavil la, men yo pa t' ka pran lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:6 ============ 2Ki 16:6 At that time Rezin king of Syria recovered Elath to Syria, and drave the Jews from Elath: and the Syrians came to Elath, and dwelt there unto this day.(KJV-1611) 2Ki 16:6 Se lè sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyò nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:7 ============ 2Ki 16:7 So Ahaz sent messengers to Tiglathpileser king of Assyria, saying, I am thy servant and thy son: come up, and save me out of the hand of the king of Syria, and out of the hand of the king of Israel, which rise up against me.(KJV-1611) 2Ki 16:7 Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: --M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:8 ============ 2Ki 16:8 And Ahaz took the silver and gold that was found in the house of the LORD, and in the treasures of the king's house, and sent it for a present to the king of Assyria.(KJV-1611) 2Ki 16:8 Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:9 ============ 2Ki 16:9 And the king of Assyria hearkened unto him: for the king of Assyria went up against Damascus, and took it, and carried the people of it captive to Kir, and slew Rezin.(KJV-1611) 2Ki 16:9 Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:10 ============ 2Ki 16:10 And king Ahaz went to Damascus to meet Tiglathpileser king of Assyria, and saw an altar that was at Damascus: and king Ahaz sent to Urijah the priest the fashion of the altar, and the pattern of it, according to all the workmanship thereof.(KJV-1611) 2Ki 16:10 Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:11 ============ 2Ki 16:11 And Urijah the priest built an altar according to all that king Ahaz had sent from Damascus: so Urijah the priest made it against king Ahaz came from Damascus.(KJV-1611) 2Ki 16:11 Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:12 ============ 2Ki 16:12 And when the king was come from Damascus, the king saw the altar: and the king approached to the altar, and offered thereon.(KJV-1611) 2Ki 16:12 Lè Akaz tounen soti Damas, li wè lotèl la, li pwoche, li moute bò lotèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:13 ============ 2Ki 16:13 And he burnt his burnt offering and his meat offering, and poured his drink offering, and sprinkled the blood of his peace offerings, upon the altar.(KJV-1611) 2Ki 16:13 Li fè boule yon bèt sou li, li fè ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bèt li te ofri pou di mèsi a sou lotèl la tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:14 ============ 2Ki 16:14 And he brought also the brasen altar, which was before the LORD, from the forefront of the house, from between the altar and the house of the LORD, and put it on the north side of the altar.(KJV-1611) 2Ki 16:14 Lotèl an kwiv ki apa pou Seyè a te ant lotèl sa a ak kay Seyè a. Akaz fè deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lòt lotèl la sou bò nò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:15 ============ 2Ki 16:15 And king Ahaz commanded Urijah the priest, saying, Upon the great altar burn the morning burnt offering, and the evening meat offering, and the king's burnt sacrifice, and his meat offering, with the burnt offering of all the people of the land, and their meat offering, and their drink offerings; and sprinkle upon it all the blood of the burnt offering, and all the blood of the sacrifice: and the brasen altar shall be for me to enquire by.(KJV-1611) 2Ki 16:15 Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: --Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:16 ============ 2Ki 16:16 Thus did Urijah the priest, according to all that king Ahaz commanded.(KJV-1611) 2Ki 16:16 Ozyas, prèt la, fè tou sa wa Akaz te ba li lòd fè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:17 ============ 2Ki 16:17 And king Ahaz cut off the borders of the bases, and removed the laver from off them; and took down the sea from off the brasen oxen that were under it, and put it upon the pavement of stones.(KJV-1611) 2Ki 16:17 Apre sa, wa Akaz fè demoute kabwa an kwiv yo. Li fè wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bèf yo, li fè mete l' sou yon pave wòch.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:18 ============ 2Ki 16:18 And the covert for the sabbath that they had built in the house, and the king's entry without, turned he from the house of the LORD for the king of Assyria.(KJV-1611) 2Ki 16:18 Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:19 ============ 2Ki 16:19 Now the rest of the acts of Ahaz which he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 16:19 Tout rès istwa wa Akaz la, tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 16:20 ============ 2Ki 16:20 And Ahaz slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David: and Hezekiah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 16:20 Lè wa Akaz mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:1 ============ 2Ki 17:1 In the twelfth year of Ahaz king of Judah began Hoshea the son of Elah to reign in Samaria over Israel nine years.(KJV-1611) 2Ki 17:1 Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:2 ============ 2Ki 17:2 And he did that which was evil in the sight of the LORD, but not as the kings of Israel that were before him.(KJV-1611) 2Ki 17:2 Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:3 ============ 2Ki 17:3 Against him came up Shalmaneser king of Assyria; and Hoshea became his servant, and gave him presents.(KJV-1611) 2Ki 17:3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:4 ============ 2Ki 17:4 And the king of Assyria found conspiracy in Hoshea: for he had sent messengers to So king of Egypt, and brought no present to the king of Assyria, as he had done year by year: therefore the king of Assyria shut him up, and bound him in prison.(KJV-1611) 2Ki 17:4 Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:5 ============ 2Ki 17:5 Then the king of Assyria came up throughout all the land, and went up to Samaria, and besieged it three years.(KJV-1611) 2Ki 17:5 Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:6 ============ 2Ki 17:6 In the ninth year of Hoshea the king of Assyria took Samaria, and carried Israel away into Assyria, and placed them in Halah and in Habor by the river of Gozan, and in the cities of the Medes.(KJV-1611) 2Ki 17:6 Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:7 ============ 2Ki 17:7 For so it was, that the children of Israel had sinned against the LORD their God, which had brought them up out of the land of Egypt, from under the hand of Pharaoh king of Egypt, and had feared other gods,(KJV-1611) 2Ki 17:7 Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:8 ============ 2Ki 17:8 And walked in the statutes of the heathen, whom the LORD cast out from before the children of Israel, and of the kings of Israel, which they had made.(KJV-1611) 2Ki 17:8 Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:9 ============ 2Ki 17:9 And the children of Israel did secretly those things that were not right against the LORD their God, and they built them high places in all their cities, from the tower of the watchmen to the fenced city.(KJV-1611) 2Ki 17:9 Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:10 ============ 2Ki 17:10 And they set them up images and groves in every high hill, and under every green tree:(KJV-1611) 2Ki 17:10 Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:11 ============ 2Ki 17:11 And there they burnt incense in all the high places, as did the heathen whom the LORD carried away before them; and wrought wicked things to provoke the LORD to anger:(KJV-1611) 2Ki 17:11 Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:12 ============ 2Ki 17:12 For they served idols, whereof the LORD had said unto them, Ye shall not do this thing.(KJV-1611) 2Ki 17:12 Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:13 ============ 2Ki 17:13 Yet the LORD testified against Israel, and against Judah, by all the prophets, and by all the seers, saying, Turn ye from your evil ways, and keep my commandments and my statutes, according to all the law which I commanded your fathers, and which I sent to you by my servants the prophets.(KJV-1611) 2Ki 17:13 Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:14 ============ 2Ki 17:14 Notwithstanding they would not hear, but hardened their necks, like to the neck of their fathers, that did not believe in the LORD their God.(KJV-1611) 2Ki 17:14 Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:15 ============ 2Ki 17:15 And they rejected his statutes, and his covenant that he made with their fathers, and his testimonies which he testified against them; and they followed vanity, and became vain, and went after the heathen that were round about them, concerning whom the LORD had charged them, that they should not do like them.(KJV-1611) 2Ki 17:15 Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:16 ============ 2Ki 17:16 And they left all the commandments of the LORD their God, and made them molten images, even two calves, and made a grove, and worshipped all the host of heaven, and served Baal.(KJV-1611) 2Ki 17:16 Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:17 ============ 2Ki 17:17 And they caused their sons and their daughters to pass through the fire, and used divination and enchantments, and sold themselves to do evil in the sight of the LORD, to provoke him to anger.(KJV-1611) 2Ki 17:17 Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:18 ============ 2Ki 17:18 Therefore the LORD was very angry with Israel, and removed them out of his sight: there was none left but the tribe of Judah only.(KJV-1611) 2Ki 17:18 Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:19 ============ 2Ki 17:19 Also Judah kept not the commandments of the LORD their God, but walked in the statutes of Israel which they made.(KJV-1611) 2Ki 17:19 Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:20 ============ 2Ki 17:20 And the LORD rejected all the seed of Israel, and afflicted them, and delivered them into the hand of spoilers, until he had cast them out of his sight.(KJV-1611) 2Ki 17:20 Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:21 ============ 2Ki 17:21 For he rent Israel from the house of David; and they made Jeroboam the son of Nebat king: and Jeroboam drave Israel from following the LORD, and made them sin a great sin.(KJV-1611) 2Ki 17:21 Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:22 ============ 2Ki 17:22 For the children of Israel walked in all the sins of Jeroboam which he did; they departed not from them;(KJV-1611) 2Ki 17:22 Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:23 ============ 2Ki 17:23 Until the LORD removed Israel out of his sight, as he had said by all his servants the prophets. So was Israel carried away out of their own land to Assyria unto this day.(KJV-1611) 2Ki 17:23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:24 ============ 2Ki 17:24 And the king of Assyria brought men from Babylon, and from Cuthah, and from Ava, and from Hamath, and from Sepharvaim, and placed them in the cities of Samaria instead of the children of Israel: and they possessed Samaria, and dwelt in the cities thereof.(KJV-1611) 2Ki 17:24 Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:25 ============ 2Ki 17:25 And so it was at the beginning of their dwelling there, that they feared not the LORD: therefore the LORD sent lions among them, which slew some of them.(KJV-1611) 2Ki 17:25 Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:26 ============ 2Ki 17:26 Wherefore they spake to the king of Assyria, saying, The nations which thou hast removed, and placed in the cities of Samaria, know not the manner of the God of the land: therefore he hath sent lions among them, and, behold, they slay them, because they know not the manner of the God of the land.(KJV-1611) 2Ki 17:26 Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:27 ============ 2Ki 17:27 Then the king of Assyria commanded, saying, Carry thither one of the priests whom ye brought from thence; and let them go and dwell there, and let him teach them the manner of the God of the land.(KJV-1611) 2Ki 17:27 Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:28 ============ 2Ki 17:28 Then one of the priests whom they had carried away from Samaria came and dwelt in Bethel, and taught them how they should fear the LORD.(KJV-1611) 2Ki 17:28 Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:29 ============ 2Ki 17:29 Howbeit every nation made gods of their own, and put them in the houses of the high places which the Samaritans had made, every nation in their cities wherein they dwelt.(KJV-1611) 2Ki 17:29 Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:30 ============ 2Ki 17:30 And the men of Babylon made Succothbenoth, and the men of Cuth made Nergal, and the men of Hamath made Ashima,(KJV-1611) 2Ki 17:30 Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:31 ============ 2Ki 17:31 And the Avites made Nibhaz and Tartak, and the Sepharvites burnt their children in fire to Adrammelech and Anammelech, the gods of Sepharvaim.(KJV-1611) 2Ki 17:31 Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:32 ============ 2Ki 17:32 So they feared the LORD, and made unto themselves of the lowest of them priests of the high places, which sacrificed for them in the houses of the high places.(KJV-1611) 2Ki 17:32 Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:33 ============ 2Ki 17:33 They feared the LORD, and served their own gods, after the manner of the nations whom they carried away from thence.(KJV-1611) 2Ki 17:33 Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:34 ============ 2Ki 17:34 Unto this day they do after the former manners: they fear not the LORD, neither do they after their statutes, or after their ordinances, or after the law and commandment which the LORD commanded the children of Jacob, whom he named Israel;(KJV-1611) 2Ki 17:34 Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:35 ============ 2Ki 17:35 With whom the LORD had made a covenant, and charged them, saying, Ye shall not fear other gods, nor bow yourselves to them, nor serve them, nor sacrifice to them:(KJV-1611) 2Ki 17:35 Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:36 ============ 2Ki 17:36 But the LORD, who brought you up out of the land of Egypt with great power and a stretched out arm, him shall ye fear, and him shall ye worship, and to him shall ye do sacrifice.(KJV-1611) 2Ki 17:36 Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:37 ============ 2Ki 17:37 And the statutes, and the ordinances, and the law, and the commandment, which he wrote for you, ye shall observe to do for evermore; and ye shall not fear other gods.(KJV-1611) 2Ki 17:37 Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:38 ============ 2Ki 17:38 And the covenant that I have made with you ye shall not forget; neither shall ye fear other gods.(KJV-1611) 2Ki 17:38 Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:39 ============ 2Ki 17:39 But the LORD your God ye shall fear; and he shall deliver you out of the hand of all your enemies.(KJV-1611) 2Ki 17:39 Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:40 ============ 2Ki 17:40 Howbeit they did not hearken, but they did after their former manner.(KJV-1611) 2Ki 17:40 Men, moun yo pa koute m', yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 17:41 ============ 2Ki 17:41 So these nations feared the LORD, and served their graven images, both their children, and their children's children: as did their fathers, so do they unto this day.(KJV-1611) 2Ki 17:41 Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:1 ============ 2Ki 18:1 Now it came to pass in the third year of Hoshea son of Elah king of Israel, that Hezekiah the son of Ahaz king of Judah began to reign.(KJV-1611) 2Ki 18:1 Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:2 ============ 2Ki 18:2 Twenty and five years old was he when he began to reign; and he reigned twenty and nine years in Jerusalem. His mother's name also was Abi, the daughter of Zachariah.(KJV-1611) 2Ki 18:2 Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:3 ============ 2Ki 18:3 And he did that which was right in the sight of the LORD, according to all that David his father did.(KJV-1611) 2Ki 18:3 Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:4 ============ 2Ki 18:4 He removed the high places, and brake the images, and cut down the groves, and brake in pieces the brasen serpent that Moses had made: for unto those days the children of Israel did burn incense to it: and he called it Nehushtan.(KJV-1611) 2Ki 18:4 Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:5 ============ 2Ki 18:5 He trusted in the LORD God of Israel; so that after him was none like him among all the kings of Judah, nor any that were before him.(KJV-1611) 2Ki 18:5 Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:6 ============ 2Ki 18:6 For he clave to the LORD, and departed not from following him, but kept his commandments, which the LORD commanded Moses.(KJV-1611) 2Ki 18:6 Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:7 ============ 2Ki 18:7 And the LORD was with him; and he prospered whithersoever he went forth: and he rebelled against the king of Assyria, and served him not.(KJV-1611) 2Ki 18:7 Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:8 ============ 2Ki 18:8 He smote the Philistines, even unto Gaza, and the borders thereof, from the tower of the watchmen to the fenced city.(KJV-1611) 2Ki 18:8 Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:9 ============ 2Ki 18:9 And it came to pass in the fourth year of king Hezekiah, which was the seventh year of Hoshea son of Elah king of Israel, that Shalmaneser king of Assyria came up against Samaria, and besieged it.(KJV-1611) 2Ki 18:9 Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:10 ============ 2Ki 18:10 And at the end of three years they took it: even in the sixth year of Hezekiah, that is in the ninth year of Hoshea king of Israel, Samaria was taken.(KJV-1611) 2Ki 18:10 Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:11 ============ 2Ki 18:11 And the king of Assyria did carry away Israel unto Assyria, and put them in Halah and in Habor by the river of Gozan, and in the cities of the Medes:(KJV-1611) 2Ki 18:11 Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:12 ============ 2Ki 18:12 Because they obeyed not the voice of the LORD their God, but transgressed his covenant, and all that Moses the servant of the LORD commanded, and would not hear them, nor do them.(KJV-1611) 2Ki 18:12 Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:13 ============ 2Ki 18:13 Now in the fourteenth year of king Hezekiah did Sennacherib king of Assyria come up against all the fenced cities of Judah, and took them.(KJV-1611) 2Ki 18:13 Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:14 ============ 2Ki 18:14 And Hezekiah king of Judah sent to the king of Assyria to Lachish, saying, I have offended; return from me: that which thou puttest on me will I bear. And the king of Assyria appointed unto Hezekiah king of Judah three hundred talents of silver and thirty talents of gold.(KJV-1611) 2Ki 18:14 Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: --Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:15 ============ 2Ki 18:15 And Hezekiah gave him all the silver that was found in the house of the LORD, and in the treasures of the king's house.(KJV-1611) 2Ki 18:15 Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:16 ============ 2Ki 18:16 At that time did Hezekiah cut off the gold from the doors of the temple of the LORD, and from the pillars which Hezekiah king of Judah had overlaid, and gave it to the king of Assyria.(KJV-1611) 2Ki 18:16 Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:17 ============ 2Ki 18:17 And the king of Assyria sent Tartan and Rabsaris and Rabshakeh from Lachish to king Hezekiah with a great host against Jerusalem. And they went up and came to Jerusalem. And when they were come up, they came and stood by the conduit of the upper pool, which is in the highway of the fuller's field.(KJV-1611) 2Ki 18:17 Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:18 ============ 2Ki 18:18 And when they had called to the king, there came out to them Eliakim the son of Hilkiah, which was over the household, and Shebna the scribe, and Joah the son of Asaph the recorder.(KJV-1611) 2Ki 18:18 Yo voye chache wa a. Men se twa otorite ki soti vin jwenn yo. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:19 ============ 2Ki 18:19 And Rabshakeh said unto them, Speak ye now to Hezekiah, Thus saith the great king, the king of Assyria, What confidence is this wherein thou trustest?(KJV-1611) 2Ki 18:19 Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: --Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:20 ============ 2Ki 18:20 Thou sayest, (but they are but vain words,) I have counsel and strength for the war. Now on whom dost thou trust, that thou rebellest against me?(KJV-1611) 2Ki 18:20 Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:21 ============ 2Ki 18:21 Now, behold, thou trustest upon the staff of this bruised reed, even upon Egypt, on which if a man lean, it will go into his hand, and pierce it: so is Pharaoh king of Egypt unto all that trust on him.(KJV-1611) 2Ki 18:21 W'al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:22 ============ 2Ki 18:22 But if ye say unto me, We trust in the LORD our God: is not that he, whose high places and whose altars Hezekiah hath taken away, and hath said to Judah and Jerusalem, Ye shall worship before this altar in Jerusalem?(KJV-1611) 2Ki 18:22 Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:23 ============ 2Ki 18:23 Now therefore, I pray thee, give pledges to my lord the king of Assyria, and I will deliver thee two thousand horses, if thou be able on thy part to set riders upon them.(KJV-1611) 2Ki 18:23 Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:24 ============ 2Ki 18:24 How then wilt thou turn away the face of one captain of the least of my master's servants, and put thy trust on Egypt for chariots and for horsemen?(KJV-1611) 2Ki 18:24 Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi se sou peyi Lejip w'ap konte pou jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:25 ============ 2Ki 18:25 Am I now come up without the LORD against this place to destroy it? The LORD said to me, Go up against this land, and destroy it.(KJV-1611) 2Ki 18:25 Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' atake peyi ou la pou m' detwi l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:26 ============ 2Ki 18:26 Then said Eliakim the son of Hilkiah, and Shebna, and Joah, unto Rabshakeh, Speak, I pray thee, to thy servants in the Syrian language; for we understand it: and talk not with us in the Jews' language in the ears of the people that are on the wall.(KJV-1611) 2Ki 18:26 Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: --Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:27 ============ 2Ki 18:27 But Rabshakeh said unto them, Hath my master sent me to thy master, and to thee, to speak these words? hath he not sent me to the men which sit on the wall, that they may eat their own dung, and drink their own piss with you?(KJV-1611) 2Ki 18:27 Men, chèf gad palè a di yo an ebre: --An! Nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Yo menm tou yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:28 ============ 2Ki 18:28 Then Rabshakeh stood and cried with a loud voice in the Jews' language, and spake, saying, Hear the word of the great king, the king of Assyria:(KJV-1611) 2Ki 18:28 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: --Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:29 ============ 2Ki 18:29 Thus saith the king, Let not Hezekiah deceive you: for he shall not be able to deliver you out of his hand:(KJV-1611) 2Ki 18:29 Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:30 ============ 2Ki 18:30 Neither let Hezekiah make you trust in the LORD, saying, The LORD will surely deliver us, and this city shall not be delivered into the hand of the king of Assyria.(KJV-1611) 2Ki 18:30 Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, Seyè a p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:31 ============ 2Ki 18:31 Hearken not to Hezekiah: for thus saith the king of Assyria, Make an agreement with me by a present, and come out to me, and then eat ye every man of his own vine, and every one of his fig tree, and drink ye every one the waters of his cistern:(KJV-1611) 2Ki 18:31 Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:32 ============ 2Ki 18:32 Until I come and take you away to a land like your own land, a land of corn and wine, a land of bread and vineyards, a land of oil olive and of honey, that ye may live, and not die: and hearken not unto Hezekiah, when he persuadeth you, saying, The LORD will deliver us.(KJV-1611) 2Ki 18:32 Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:33 ============ 2Ki 18:33 Hath any of the gods of the nations delivered at all his land out of the hand of the king of Assyria?(KJV-1611) 2Ki 18:33 Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:34 ============ 2Ki 18:34 Where are the gods of Hamath, and of Arpad? where are the gods of Sepharvaim, Hena, and Ivah? have they delivered Samaria out of mine hand?(KJV-1611) 2Ki 18:34 Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:35 ============ 2Ki 18:35 Who are they among all the gods of the countries, that have delivered their country out of mine hand, that the LORD should deliver Jerusalem out of mine hand?(KJV-1611) 2Ki 18:35 Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l'? Poukisa atò se Seyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l'?(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:36 ============ 2Ki 18:36 But the people held their peace, and answered him not a word: for the king's commandment was, saying, Answer him not.(KJV-1611) 2Ki 18:36 Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 18:37 ============ 2Ki 18:37 Then came Eliakim the son of Hilkiah, which was over the household, and Shebna the scribe, and Joah the son of Asaph the recorder, to Hezekiah with their clothes rent, and told him the words of Rabshakeh.(KJV-1611) 2Ki 18:37 Apre sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:1 ============ 2Ki 19:1 And it came to pass, when king Hezekiah heard it, that he rent his clothes, and covered himself with sackcloth, and went into the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 19:1 Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:2 ============ 2Ki 19:2 And he sent Eliakim, which was over the household, and Shebna the scribe, and the elders of the priests, covered with sackcloth, to Isaiah the prophet the son of Amoz.(KJV-1611) 2Ki 19:2 Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo, bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:3 ============ 2Ki 19:3 And they said unto him, Thus saith Hezekiah, This day is a day of trouble, and of rebuke, and blasphemy; for the children are come to the birth, and there is not strength to bring forth.(KJV-1611) 2Ki 19:3 Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: --Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:4 ============ 2Ki 19:4 It may be the LORD thy God will hear all the words of Rabshakeh, whom the king of Assyria his master hath sent to reproach the living God; and will reprove the words which the LORD thy God hath heard: wherefore lift up thy prayer for the remnant that are left.(KJV-1611) 2Ki 19:4 Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:5 ============ 2Ki 19:5 So the servants of king Hezekiah came to Isaiah.(KJV-1611) 2Ki 19:5 Lè moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi,(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:6 ============ 2Ki 19:6 And Isaiah said unto them, Thus shall ye say to your master, Thus saith the LORD, Be not afraid of the words which thou hast heard, with which the servants of the king of Assyria have blasphemed me.(KJV-1611) 2Ki 19:6 men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: --Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:7 ============ 2Ki 19:7 Behold, I will send a blast upon him, and he shall hear a rumour, and shall return to his own land; and I will cause him to fall by the sword in his own land.(KJV-1611) 2Ki 19:7 Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:8 ============ 2Ki 19:8 So Rabshakeh returned, and found the king of Assyria warring against Libnah: for he had heard that he was departed from Lachish.(KJV-1611) 2Ki 19:8 Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' t al atake lavil Libna. Se la l' al jwenn wa a,(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:9 ============ 2Ki 19:9 And when he heard say of Tirhakah king of Ethiopia, Behold, he is come out to fight against thee: he sent messengers again unto Hezekiah, saying,(KJV-1611) 2Ki 19:9 paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:10 ============ 2Ki 19:10 Thus shall ye speak to Hezekiah king of Judah, saying, Let not thy God in whom thou trustest deceive thee, saying, Jerusalem shall not be delivered into the hand of the king of Assyria.(KJV-1611) 2Ki 19:10 Li di yo: --Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:11 ============ 2Ki 19:11 Behold, thou hast heard what the kings of Assyria have done to all lands, by destroying them utterly: and shalt thou be delivered?(KJV-1611) 2Ki 19:11 Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m!(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:12 ============ 2Ki 19:12 Have the gods of the nations delivered them which my fathers have destroyed; as Gozan, and Haran, and Rezeph, and the children of Eden which were in Thelasar?(KJV-1611) 2Ki 19:12 Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:13 ============ 2Ki 19:13 Where is the king of Hamath, and the king of Arpad, and the king of the city of Sepharvaim, of Hena, and Ivah?(KJV-1611) 2Ki 19:13 Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:14 ============ 2Ki 19:14 And Hezekiah received the letter of the hand of the messengers, and read it: and Hezekiah went up into the house of the LORD, and spread it before the LORD.(KJV-1611) 2Ki 19:14 Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:15 ============ 2Ki 19:15 And Hezekiah prayed before the LORD, and said, O LORD God of Israel, which dwellest between the cherubims, thou art the God, even thou alone, of all the kingdoms of the earth; thou hast made heaven and earth.(KJV-1611) 2Ki 19:15 Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: --Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:16 ============ 2Ki 19:16 LORD, bow down thine ear, and hear: open, LORD, thine eyes, and see: and hear the words of Sennacherib, which hath sent him to reproach the living God.(KJV-1611) 2Ki 19:16 Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:17 ============ 2Ki 19:17 Of a truth, LORD, the kings of Assyria have destroyed the nations and their lands,(KJV-1611) 2Ki 19:17 Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:18 ============ 2Ki 19:18 And have cast their gods into the fire: for they were no gods, but the work of men's hands, wood and stone: therefore they have destroyed them.(KJV-1611) 2Ki 19:18 Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:19 ============ 2Ki 19:19 Now therefore, O LORD our God, I beseech thee, save thou us out of his hand, that all the kingdoms of the earth may know that thou art the LORD God, even thou only.(KJV-1611) 2Ki 19:19 Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:20 ============ 2Ki 19:20 Then Isaiah the son of Amoz sent to Hezekiah, saying, Thus saith the LORD God of Israel, That which thou hast prayed to me against Sennacherib king of Assyria I have heard.(KJV-1611) 2Ki 19:20 Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: --Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:21 ============ 2Ki 19:21 This is the word that the LORD hath spoken concerning him; The virgin the daughter of Zion hath despised thee, and laughed thee to scorn; the daughter of Jerusalem hath shaken her head at thee.(KJV-1611) 2Ki 19:21 Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:22 ============ 2Ki 19:22 Whom hast thou reproached and blasphemed? and against whom hast thou exalted thy voice, and lifted up thine eyes on high? even against the Holy One of Israel.(KJV-1611) 2Ki 19:22 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:23 ============ 2Ki 19:23 By thy messengers thou hast reproached the LORD, and hast said, With the multitude of my chariots I am come up to the height of the mountains, to the sides of Lebanon, and will cut down the tall cedar trees thereof, and the choice fir trees thereof: and I will enter into the lodgings of his borders, and into the forest of his Carmel.(KJV-1611) 2Ki 19:23 Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kalite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn, ata sou tèt mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye rezen li yo. Mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:24 ============ 2Ki 19:24 I have digged and drunk strange waters, and with the sole of my feet have I dried up all the rivers of besieged places.(KJV-1611) 2Ki 19:24 Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:25 ============ 2Ki 19:25 Hast thou not heard long ago how I have done it, and of ancient times that I have formed it? now have I brought it to pass, that thou shouldest be to lay waste fenced cities into ruinous heaps.(KJV-1611) 2Ki 19:25 Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:26 ============ 2Ki 19:26 Therefore their inhabitants were of small power, they were dismayed and confounded; they were as the grass of the field, and as the green herb, as the grass on the house tops, and as corn blasted before it be grown up.(KJV-1611) 2Ki 19:26 Moun ki te rete la te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:27 ============ 2Ki 19:27 But I know thy abode, and thy going out, and thy coming in, and thy rage against me.(KJV-1611) 2Ki 19:27 Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:28 ============ 2Ki 19:28 Because thy rage against me and thy tumult is come up into mine ears, therefore I will put my hook in thy nose, and my bridle in thy lips, and I will turn thee back by the way by which thou camest.(KJV-1611) 2Ki 19:28 Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:29 ============ 2Ki 19:29 And this shall be a sign unto thee, Ye shall eat this year such things as grow of themselves, and in the second year that which springeth of the same; and in the third year sow ye, and reap, and plant vineyards, and eat the fruits thereof.(KJV-1611) 2Ki 19:29 Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: --Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:30 ============ 2Ki 19:30 And the remnant that is escaped of the house of Judah shall yet again take root downward, and bear fruit upward.(KJV-1611) 2Ki 19:30 Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:31 ============ 2Ki 19:31 For out of Jerusalem shall go forth a remnant, and they that escape out of mount Zion: the zeal of the LORD of hosts shall do this.(KJV-1611) 2Ki 19:31 Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:32 ============ 2Ki 19:32 Therefore thus saith the LORD concerning the king of Assyria, He shall not come into this city, nor shoot an arrow there, nor come before it with shield, nor cast a bank against it.(KJV-1611) 2Ki 19:32 Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:33 ============ 2Ki 19:33 By the way that he came, by the same shall he return, and shall not come into this city, saith the LORD.(KJV-1611) 2Ki 19:33 Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:34 ============ 2Ki 19:34 For I will defend this city, to save it, for mine own sake, and for my servant David's sake.(KJV-1611) 2Ki 19:34 M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:35 ============ 2Ki 19:35 And it came to pass that night, that the angel of the LORD went out, and smote in the camp of the Assyrians an hundred fourscore and five thousand: and when they arose early in the morning, behold, they were all dead corpses.(KJV-1611) 2Ki 19:35 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:36 ============ 2Ki 19:36 So Sennacherib king of Assyria departed, and went and returned, and dwelt at Nineveh.(KJV-1611) 2Ki 19:36 Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.(Creole-HT) ======= 2 Kings 19:37 ============ 2Ki 19:37 And it came to pass, as he was worshipping in the house of Nisroch his god, that Adrammelech and Sharezer his sons smote him with the sword: and they escaped into the land of Armenia. And Esarhaddon his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 19:37 Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:1 ============ 2Ki 20:1 In those days was Hezekiah sick unto death. And the prophet Isaiah the son of Amoz came to him, and said unto him, Thus saith the LORD, Set thine house in order; for thou shalt die, and not live.(KJV-1611) 2Ki 20:1 Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: --Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:2 ============ 2Ki 20:2 Then he turned his face to the wall, and prayed unto the LORD, saying,(KJV-1611) 2Ki 20:2 Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:3 ============ 2Ki 20:3 I beseech thee, O LORD, remember now how I have walked before thee in truth and with a perfect heart, and have done that which is good in thy sight. And Hezekiah wept sore.(KJV-1611) 2Ki 20:3 Li di: --Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:4 ============ 2Ki 20:4 And it came to pass, afore Isaiah was gone out into the middle court, that the word of the LORD came to him, saying,(KJV-1611) 2Ki 20:4 Lè Ezayi kite wa a, li pa t' ankò soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Seyè a pale avè l', li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:5 ============ 2Ki 20:5 Turn again, and tell Hezekiah the captain of my people, Thus saith the LORD, the God of David thy father, I have heard thy prayer, I have seen thy tears: behold, I will heal thee: on the third day thou shalt go up unto the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 20:5 --Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:6 ============ 2Ki 20:6 And I will add unto thy days fifteen years; and I will deliver thee and this city out of the hand of the king of Assyria; and I will defend this city for mine own sake, and for my servant David's sake.(KJV-1611) 2Ki 20:6 M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m' lan, ak poutèt mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:7 ============ 2Ki 20:7 And Isaiah said, Take a lump of figs. And they took and laid it on the boil, and he recovered.(KJV-1611) 2Ki 20:7 Ezayi mande pou fè yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fè sa vre. Epi wa a geri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:8 ============ 2Ki 20:8 And Hezekiah said unto Isaiah, What shall be the sign that the LORD will heal me, and that I shall go up into the house of the LORD the third day?(KJV-1611) 2Ki 20:8 Lè sa a, wa a mande Ezayi: --Kisa ki pral fè m' konnen Seyè a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyè a?(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:9 ============ 2Ki 20:9 And Isaiah said, This sign shalt thou have of the LORD, that the LORD will do the thing that he hath spoken: shall the shadow go forward ten degrees, or go back ten degrees?(KJV-1611) 2Ki 20:9 Ezayi reponn li: --Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:10 ============ 2Ki 20:10 And Hezekiah answered, It is a light thing for the shadow to go down ten degrees: nay, but let the shadow return backward ten degrees.(KJV-1611) 2Ki 20:10 Ezekyas di l': --Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:11 ============ 2Ki 20:11 And Isaiah the prophet cried unto the LORD: and he brought the shadow ten degrees backward, by which it had gone down in the dial of Ahaz.(KJV-1611) 2Ki 20:11 Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:12 ============ 2Ki 20:12 At that time Berodachbaladan, the son of Baladan, king of Babylon, sent letters and a present unto Hezekiah: for he had heard that Hezekiah had been sick.(KJV-1611) 2Ki 20:12 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:13 ============ 2Ki 20:13 And Hezekiah hearkened unto them, and shewed them all the house of his precious things, the silver, and the gold, and the spices, and the precious ointment, and all the house of his armour, and all that was found in his treasures: there was nothing in his house, nor in all his dominion, that Hezekiah shewed them not.(KJV-1611) 2Ki 20:13 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:14 ============ 2Ki 20:14 Then came Isaiah the prophet unto king Hezekiah, and said unto him, What said these men? and from whence came they unto thee? And Hezekiah said, They are come from a far country, even from Babylon.(KJV-1611) 2Ki 20:14 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': --Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: --Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:15 ============ 2Ki 20:15 And he said, What have they seen in thine house? And Hezekiah answered, All the things that are in mine house have they seen: there is nothing among my treasures that I have not shewed them.(KJV-1611) 2Ki 20:15 Ezayi di l' konsa: --Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: --Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:16 ============ 2Ki 20:16 And Isaiah said unto Hezekiah, Hear the word of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 20:16 Ezayi di wa Ezekyas konsa: --Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou:(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:17 ============ 2Ki 20:17 Behold, the days come, that all that is in thine house, and that which thy fathers have laid up in store unto this day, shall be carried into Babylon: nothing shall be left, saith the LORD.(KJV-1611) 2Ki 20:17 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:18 ============ 2Ki 20:18 And of thy sons that shall issue from thee, which thou shalt beget, shall they take away; and they shall be eunuchs in the palace of the king of Babylon.(KJV-1611) 2Ki 20:18 Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:19 ============ 2Ki 20:19 Then said Hezekiah unto Isaiah, Good is the word of the LORD which thou hast spoken. And he said, Is it not good, if peace and truth be in my days?(KJV-1611) 2Ki 20:19 Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: --Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:20 ============ 2Ki 20:20 And the rest of the acts of Hezekiah, and all his might, and how he made a pool, and a conduit, and brought water into the city, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 20:20 Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 20:21 ============ 2Ki 20:21 And Hezekiah slept with his fathers: and Manasseh his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 20:21 Lè Ezekyas mouri, se Manase, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:1 ============ 2Ki 21:1 Manasseh was twelve years old when he began to reign, and reigned fifty and five years in Jerusalem. And his mother's name was Hephzibah.(KJV-1611) 2Ki 21:1 Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. Manman l' te rele Efziba.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:2 ============ 2Ki 21:2 And he did that which was evil in the sight of the LORD, after the abominations of the heathen, whom the LORD cast out before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ki 21:2 Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:3 ============ 2Ki 21:3 For he built up again the high places which Hezekiah his father had destroyed; and he reared up altars for Baal, and made a grove, as did Ahab king of Israel; and worshipped all the host of heaven, and served them.(KJV-1611) 2Ki 21:3 Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:4 ============ 2Ki 21:4 And he built altars in the house of the LORD, of which the LORD said, In Jerusalem will I put my name.(KJV-1611) 2Ki 21:4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:5 ============ 2Ki 21:5 And he built altars for all the host of heaven in the two courts of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 21:5 Li fè bati lotèl nan de lakou tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:6 ============ 2Ki 21:6 And he made his son pass through the fire, and observed times, and used enchantments, and dealt with familiar spirits and wizards: he wrought much wickedness in the sight of the LORD, to provoke him to anger.(KJV-1611) 2Ki 21:6 Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:7 ============ 2Ki 21:7 And he set a graven image of the grove that he had made in the house, of which the LORD said to David, and to Solomon his son, In this house, and in Jerusalem, which I have chosen out of all tribes of Israel, will I put my name for ever:(KJV-1611) 2Ki 21:7 Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:8 ============ 2Ki 21:8 Neither will I make the feet of Israel move any more out of the land which I gave their fathers; only if they will observe to do according to all that I have commanded them, and according to all the law that my servant Moses commanded them.(KJV-1611) 2Ki 21:8 Si moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:9 ============ 2Ki 21:9 But they hearkened not: and Manasseh seduced them to do more evil than did the nations whom the LORD destroyed before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ki 21:9 Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:10 ============ 2Ki 21:10 And the LORD spake by his servants the prophets, saying,(KJV-1611) 2Ki 21:10 Lè sa a, Seyè a voye sèvitè l' yo, pwofèt yo, pou di yo:(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:11 ============ 2Ki 21:11 Because Manasseh king of Judah hath done these abominations, and hath done wickedly above all that the Amorites did, which were before him, and hath made Judah also to sin with his idols:(KJV-1611) 2Ki 21:11 --Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:12 ============ 2Ki 21:12 Therefore thus saith the LORD God of Israel, Behold, I am bringing such evil upon Jerusalem and Judah, that whosoever heareth of it, both his ears shall tingle.(KJV-1611) 2Ki 21:12 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Mwen pral voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida a. Lè moun va pran nouvèl la, y'ap rete gaga.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:13 ============ 2Ki 21:13 And I will stretch over Jerusalem the line of Samaria, and the plummet of the house of Ahab: and I will wipe Jerusalem as a man wipeth a dish, wiping it, and turning it upside down.(KJV-1611) 2Ki 21:13 M'ap peni lavil Jerizalèm menm jan mwen te peni lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l' bouch anba.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:14 ============ 2Ki 21:14 And I will forsake the remnant of mine inheritance, and deliver them into the hand of their enemies; and they shall become a prey and a spoil to all their enemies;(KJV-1611) 2Ki 21:14 M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:15 ============ 2Ki 21:15 Because they have done that which was evil in my sight, and have provoked me to anger, since the day their fathers came forth out of Egypt, even unto this day.(KJV-1611) 2Ki 21:15 M'ap fè pèp mwen an sa paske yo fè sa ki mal devan m', yo fè m' fache anpil depi jou zansèt yo te soti kite peyi Lejip jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:16 ============ 2Ki 21:16 Moreover Manasseh shed innocent blood very much, till he had filled Jerusalem from one end to another; beside his sin wherewith he made Judah to sin, in doing that which was evil in the sight of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 21:16 Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:17 ============ 2Ki 21:17 Now the rest of the acts of Manasseh, and all that he did, and his sin that he sinned, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 21:17 Tout rès istwa Manase a, tou sa li te fè ak tout move zak li te fè yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:18 ============ 2Ki 21:18 And Manasseh slept with his fathers, and was buried in the garden of his own house, in the garden of Uzza: and Amon his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 21:18 Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a, jaden Ouza a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:19 ============ 2Ki 21:19 Amon was twenty and two years old when he began to reign, and he reigned two years in Jerusalem. And his mother's name was Meshullemeth, the daughter of Haruz of Jotbah.(KJV-1611) 2Ki 21:19 Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l' te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:20 ============ 2Ki 21:20 And he did that which was evil in the sight of the LORD, as his father Manasseh did.(KJV-1611) 2Ki 21:20 Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:21 ============ 2Ki 21:21 And he walked in all the way that his father walked in, and served the idols that his father served, and worshipped them:(KJV-1611) 2Ki 21:21 Li mache pye pou pye dèyè Manase nan tout bagay. Li sèvi zidòl papa l' te sèvi yo, li adore yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:22 ============ 2Ki 21:22 And he forsook the LORD God of his fathers, and walked not in the way of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 21:22 Li vire do bay Seyè a, Bondye zansèt li yo, li pa mache jan Seyè a vle l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:23 ============ 2Ki 21:23 And the servants of Amon conspired against him, and slew the king in his own house.(KJV-1611) 2Ki 21:23 Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:24 ============ 2Ki 21:24 And the people of the land slew all them that had conspired against king Amon; and the people of the land made Josiah his son king in his stead.(KJV-1611) 2Ki 21:24 Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:25 ============ 2Ki 21:25 Now the rest of the acts of Amon which he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 21:25 Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 21:26 ============ 2Ki 21:26 And he was buried in his sepulchre in the garden of Uzza: and Josiah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 21:26 Lè Amon mouri, yo antere l' nan kavo fanmi an, nan jaden Ouza a. Lèfini, se Jozyas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:1 ============ 2Ki 22:1 Josiah was eight years old when he began to reign, and he reigned thirty and one years in Jerusalem. And his mother's name was Jedidah, the daughter of Adaiah of Boscath.(KJV-1611) 2Ki 22:1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:2 ============ 2Ki 22:2 And he did that which was right in the sight of the LORD, and walked in all the way of David his father, and turned not aside to the right hand or to the left.(KJV-1611) 2Ki 22:2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li, nan tou sa l'ap fè san li pa janm fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:3 ============ 2Ki 22:3 And it came to pass in the eighteenth year of king Josiah, that the king sent Shaphan the son of Azaliah, the son of Meshullam, the scribe, to the house of the LORD, saying,(KJV-1611) 2Ki 22:3 Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen. Yon jou li pran sekretè palè a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyè a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:4 ============ 2Ki 22:4 Go up to Hilkiah the high priest, that he may sum the silver which is brought into the house of the LORD, which the keepers of the door have gathered of the people:(KJV-1611) 2Ki 22:4 --Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:5 ============ 2Ki 22:5 And let them deliver it into the hand of the doers of the work, that have the oversight of the house of the LORD: and let them give it to the doers of the work which is in the house of the LORD, to repair the breaches of the house,(KJV-1611) 2Ki 22:5 W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di:(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:6 ============ 2Ki 22:6 Unto carpenters, and builders, and masons, and to buy timber and hewn stone to repair the house.(KJV-1611) 2Ki 22:6 bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:7 ============ 2Ki 22:7 Howbeit there was no reckoning made with them of the money that was delivered into their hand, because they dealt faithfully.(KJV-1611) 2Ki 22:7 Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:8 ============ 2Ki 22:8 And Hilkiah the high priest said unto Shaphan the scribe, I have found the book of the law in the house of the LORD. And Hilkiah gave the book to Shaphan, and he read it.(KJV-1611) 2Ki 22:8 Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: --Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:9 ============ 2Ki 22:9 And Shaphan the scribe came to the king, and brought the king word again, and said, Thy servants have gathered the money that was found in the house, and have delivered it into the hand of them that do the work, that have the oversight of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 22:9 Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: --Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:10 ============ 2Ki 22:10 And Shaphan the scribe shewed the king, saying, Hilkiah the priest hath delivered me a book. And Shaphan read it before the king.(KJV-1611) 2Ki 22:10 Lèfini, li di wa a: --Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:11 ============ 2Ki 22:11 And it came to pass, when the king had heard the words of the book of the law, that he rent his clothes.(KJV-1611) 2Ki 22:11 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:12 ============ 2Ki 22:12 And the king commanded Hilkiah the priest, and Ahikam the son of Shaphan, and Achbor the son of Michaiah, and Shaphan the scribe, and Asahiah a servant of the king's, saying,(KJV-1611) 2Ki 22:12 Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:13 ============ 2Ki 22:13 Go ye, enquire of the LORD for me, and for the people, and for all Judah, concerning the words of this book that is found: for great is the wrath of the LORD that is kindled against us, because our fathers have not hearkened unto the words of this book, to do according unto all that which is written concerning us.(KJV-1611) 2Ki 22:13 --Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout pèp Jida a, avèk tout pawòl ki nan liv nou jwenn lan! Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri ladan l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:14 ============ 2Ki 22:14 So Hilkiah the priest, and Ahikam, and Achbor, and Shaphan, and Asahiah, went unto Huldah the prophetess, the wife of Shallum the son of Tikvah, the son of Harhas, keeper of the wardrobe; (now she dwelt in Jerusalem in the college;) and they communed with her.(KJV-1611) 2Ki 22:14 Se konsa Ilkija, prèt la, Akikam, Akbò, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:15 ============ 2Ki 22:15 And she said unto them, Thus saith the LORD God of Israel, Tell the man that sent you to me,(KJV-1611) 2Ki 22:15 Oulda reponn: --Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan:(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:16 ============ 2Ki 22:16 Thus saith the LORD, Behold, I will bring evil upon this place, and upon the inhabitants thereof, even all the words of the book which the king of Judah hath read:(KJV-1611) 2Ki 22:16 Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:17 ============ 2Ki 22:17 Because they have forsaken me, and have burned incense unto other gods, that they might provoke me to anger with all the works of their hands; therefore my wrath shall be kindled against this place, and shall not be quenched.(KJV-1611) 2Ki 22:17 Yo vire do ban mwen, yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, yo fè m' fè kolè. Mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kolè m' poko ap pase.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:18 ============ 2Ki 22:18 But to the king of Judah which sent you to enquire of the LORD, thus shall ye say to him, Thus saith the LORD God of Israel, As touching the words which thou hast heard;(KJV-1611) 2Ki 22:18 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:19 ============ 2Ki 22:19 Because thine heart was tender, and thou hast humbled thyself before the LORD, when thou heardest what I spake against this place, and against the inhabitants thereof, that they should become a desolation and a curse, and hast rent thy clothes, and wept before me; I also have heard thee, saith the LORD.(KJV-1611) 2Ki 22:19 Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 22:20 ============ 2Ki 22:20 Behold therefore, I will gather thee unto thy fathers, and thou shalt be gathered into thy grave in peace; and thine eyes shall not see all the evil which I will bring upon this place. And they brought the king word again.(KJV-1611) 2Ki 22:20 Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:1 ============ 2Ki 23:1 And the king sent, and they gathered unto him all the elders of Judah and of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 23:1 Lè sa a, wa Jozyas voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a pou yo reyini ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:2 ============ 2Ki 23:2 And the king went up into the house of the LORD, and all the men of Judah and all the inhabitants of Jerusalem with him, and the priests, and the prophets, and all the people, both small and great: and he read in their ears all the words of the book of the covenant which was found in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 23:2 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:3 ============ 2Ki 23:3 And the king stood by a pillar, and made a covenant before the LORD, to walk after the LORD, and to keep his commandments and his testimonies and his statutes with all their heart and all their soul, to perform the words of this covenant that were written in this book. And all the people stood to the covenant.(KJV-1611) 2Ki 23:3 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:4 ============ 2Ki 23:4 And the king commanded Hilkiah the high priest, and the priests of the second order, and the keepers of the door, to bring forth out of the temple of the LORD all the vessels that were made for Baal, and for the grove, and for all the host of heaven: and he burned them without Jerusalem in the fields of Kidron, and carried the ashes of them unto Bethel.(KJV-1611) 2Ki 23:4 Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:5 ============ 2Ki 23:5 And he put down the idolatrous priests, whom the kings of Judah had ordained to burn incense in the high places in the cities of Judah, and in the places round about Jerusalem; them also that burned incense unto Baal, to the sun, and to the moon, and to the planets, and to all the host of heaven.(KJV-1611) 2Ki 23:5 Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:6 ============ 2Ki 23:6 And he brought out the grove from the house of the LORD, without Jerusalem, unto the brook Kidron, and burned it at the brook Kidron, and stamped it small to powder, and cast the powder thereof upon the graves of the children of the people.(KJV-1611) 2Ki 23:6 Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:7 ============ 2Ki 23:7 And he brake down the houses of the sodomites, that were by the house of the LORD, where the women wove hangings for the grove.(KJV-1611) 2Ki 23:7 Li demoli tout kay kote mesyedam k'ap fè jennès pou zidòl yo te rete nan Tanp Seyè a. Se la medam yo te konn fè twal pou estati Achera a tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:8 ============ 2Ki 23:8 And he brought all the priests out of the cities of Judah, and defiled the high places where the priests had burned incense, from Geba to Beersheba, and brake down the high places of the gates that were in the entering in of the gate of Joshua the governor of the city, which were on a man's left hand at the gate of the city.(KJV-1611) 2Ki 23:8 Lèfini, li fè tout prèt ki te rete nan lavil peyi Jida yo antre lavil Jerizalèm. Li mache nan tout peyi a depi lavil Geba jouk lavil Bècheba, li gate tout kote prèt sa yo te konn fè sèvis pou zidòl yo, kifè yo pa t' ka sèvi pou sa ankò. Li demoli lotèl pòtay yo, ki te bò pòtay Jozye, gouvènè lavil la, te bati sou bò gòch pòtay prensipal la lè w'ap antre.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:9 ============ 2Ki 23:9 Nevertheless the priests of the high places came not up to the altar of the LORD in Jerusalem, but they did eat of the unleavened bread among their brethren.(KJV-1611) 2Ki 23:9 Tansèlman, prèt ki te sèvi nan tanp zidòl sa yo pa t' gen dwa sèvi nan Tanp lan ankò, men yo te gen dwa manje pen san ledven ansanm ak lòt prèt parèy yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:10 ============ 2Ki 23:10 And he defiled Topheth, which is in the valley of the children of Hinnom, that no man might make his son or his daughter to pass through the fire to Molech.(KJV-1611) 2Ki 23:10 Wa Jozyas gate Tofèt la tou, yon tanp zidòl ki te nan fon Enon an, konsa pesonn pa t' ka ofri pitit fi osinon pitit gason yo pou boule pou Molòk ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:11 ============ 2Ki 23:11 And he took away the horses that the kings of Judah had given to the sun, at the entering in of the house of the LORD, by the chamber of Nathanmelech the chamberlain, which was in the suburbs, and burned the chariots of the sun with fire.(KJV-1611) 2Ki 23:11 Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:12 ============ 2Ki 23:12 And the altars that were on the top of the upper chamber of Ahaz, which the kings of Judah had made, and the altars which Manasseh had made in the two courts of the house of the LORD, did the king beat down, and brake them down from thence, and cast the dust of them into the brook Kidron.(KJV-1611) 2Ki 23:12 Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:13 ============ 2Ki 23:13 And the high places that were before Jerusalem, which were on the right hand of the mount of corruption, which Solomon the king of Israel had builded for Ashtoreth the abomination of the Zidonians, and for Chemosh the abomination of the Moabites, and for Milcom the abomination of the children of Ammon, did the king defile.(KJV-1611) 2Ki 23:13 Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:14 ============ 2Ki 23:14 And he brake in pieces the images, and cut down the groves, and filled their places with the bones of men.(KJV-1611) 2Ki 23:14 Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:15 ============ 2Ki 23:15 Moreover the altar that was at Bethel, and the high place which Jeroboam the son of Nebat, who made Israel to sin, had made, both that altar and the high place he brake down, and burned the high place, and stamped it small to powder, and burned the grove.(KJV-1611) 2Ki 23:15 Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:16 ============ 2Ki 23:16 And as Josiah turned himself, he spied the sepulchres that were there in the mount, and sent, and took the bones out of the sepulchres, and burned them upon the altar, and polluted it, according to the word of the LORD which the man of God proclaimed, who proclaimed these words.(KJV-1611) 2Ki 23:16 Lèfini, Jozyas voye je l' sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Seyè a te fè pwofèt la di l' la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l' gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:17 ============ 2Ki 23:17 Then he said, What title is that that I see? And the men of the city told him, It is the sepulchre of the man of God, which came from Judah, and proclaimed these things that thou hast done against the altar of Bethel.(KJV-1611) 2Ki 23:17 Li mande: --Ki gwo tonm mwen wè laba a: Moun Betèl yo reponn: --Se tonm pwofèt ki te soti peyi Jida vin fè nou konnen sa monwa t'ap vin fè lotèl Betèl la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:18 ============ 2Ki 23:18 And he said, Let him alone; let no man move his bones. So they let his bones alone, with the bones of the prophet that came out of Samaria.(KJV-1611) 2Ki 23:18 Jozyas di: --Bon. Kite l' jan li ye a! Piga pesonn manyen zosman li yo. Se konsa yo respekte zosman li yo ansanm ak zosman pwofèt ki te soti lavil Samari a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:19 ============ 2Ki 23:19 And all the houses also of the high places that were in the cities of Samaria, which the kings of Israel had made to provoke the Lord to anger, Josiah took away, and did to them according to all the acts that he had done in Bethel.(KJV-1611) 2Ki 23:19 Nan tout lavil peyi Izrayèl yo, wa Jozyas demoli tout kay zidòl wa peyi Izrayèl yo te fè bati epi ki te lakòz Seyè a te fache anpil. Li fè yo tou sa li te fè tanp zidòl lavil Betèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:20 ============ 2Ki 23:20 And he slew all the priests of the high places that were there upon the altars, and burned men's bones upon them, and returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 23:20 Li mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:21 ============ 2Ki 23:21 And the king commanded all the people, saying, Keep the passover unto the LORD your God, as it is written in the book of this covenant.(KJV-1611) 2Ki 23:21 Wa Jozyas bay pèp la lòd pou yo fete fèt Delivrans lan pou fè lwanj Seyè a, Bondye yo a, jan sa ekri nan Liv Kontra a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:22 ============ 2Ki 23:22 Surely there was not holden such a passover from the days of the judges that judged Israel, nor in all the days of the kings of Israel, nor of the kings of Judah;(KJV-1611) 2Ki 23:22 Yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa depi lè jij chèf yo t'ap gouvènen peyi a, ni pandan reny tout wa peyi Izrayèl yo ak tout wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:23 ============ 2Ki 23:23 But in the eighteenth year of king Josiah, wherein this passover was holden to the LORD in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 23:23 Se sèlman sou reny wa Jozyas yo fete fèt Delivrans lan konsa lavil Jerizalèm pou Seyè a. Lè sa a, wa a t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:24 ============ 2Ki 23:24 Moreover the workers with familiar spirits, and the wizards, and the images, and the idols, and all the abominations that were spied in the land of Judah and in Jerusalem, did Josiah put away, that he might perform the words of the law which were written in the book that Hilkiah the priest found in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ki 23:24 Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:25 ============ 2Ki 23:25 And like unto him was there no king before him, that turned to the LORD with all his heart, and with all his soul, and with all his might, according to all the law of Moses; neither after him arose there any like him.(KJV-1611) 2Ki 23:25 Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:26 ============ 2Ki 23:26 Notwithstanding the LORD turned not from the fierceness of his great wrath, wherewith his anger was kindled against Judah, because of all the provocations that Manasseh had provoked him withal.(KJV-1611) 2Ki 23:26 Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:27 ============ 2Ki 23:27 And the LORD said, I will remove Judah also out of my sight, as I have removed Israel, and will cast off this city Jerusalem which I have chosen, and the house of which I said, My name shall be there.(KJV-1611) 2Ki 23:27 Se poutèt sa, Seyè a di: --Mwen pral wete moun peyi Jida yo devan je m' menm jan m' te fè l' pou moun peyi Izrayèl yo. Se mwen ki te chwazi lavil Jerizalèm. Enben, m' pral voye l' jete ansanm ak Tanp mwen te di se la m'ap rete a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:28 ============ 2Ki 23:28 Now the rest of the acts of Josiah, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 23:28 Tout rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:29 ============ 2Ki 23:29 In his days Pharaohnechoh king of Egypt went up against the king of Assyria to the river Euphrates: and king Josiah went against him; and he slew him at Megiddo, when he had seen him.(KJV-1611) 2Ki 23:29 Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:30 ============ 2Ki 23:30 And his servants carried him in a chariot dead from Megiddo, and brought him to Jerusalem, and buried him in his own sepulchre. And the people of the land took Jehoahaz the son of Josiah, and anointed him, and made him king in his father's stead.(KJV-1611) 2Ki 23:30 Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:31 ============ 2Ki 23:31 Jehoahaz was twenty and three years old when he began to reign; and he reigned three months in Jerusalem. And his mother's name was Hamutal, the daughter of Jeremiah of Libnah.(KJV-1611) 2Ki 23:31 Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:32 ============ 2Ki 23:32 And he did that which was evil in the sight of the LORD, according to all that his fathers had done.(KJV-1611) 2Ki 23:32 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:33 ============ 2Ki 23:33 And Pharaohnechoh put him in bands at Riblah in the land of Hamath, that he might not reign in Jerusalem; and put the land to a tribute of an hundred talents of silver, and a talent of gold.(KJV-1611) 2Ki 23:33 Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan liv ajan ak swasannkenz liv lò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:34 ============ 2Ki 23:34 And Pharaohnechoh made Eliakim the son of Josiah king in the room of Josiah his father, and turned his name to Jehoiakim, and took Jehoahaz away: and he came to Egypt, and died there.(KJV-1611) 2Ki 23:34 Apre sa, li pran Elyakim, pitit Jozyas, li mete l' wa nan plas papa l'. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. Se la Joakaz mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:35 ============ 2Ki 23:35 And Jehoiakim gave the silver and the gold to Pharaoh; but he taxed the land to give the money according to the commandment of Pharaoh: he exacted the silver and the gold of the people of the land, of every one according to his taxation, to give it unto Pharaohnechoh.(KJV-1611) 2Ki 23:35 Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l' te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:36 ============ 2Ki 23:36 Jehoiakim was twenty and five years old when he began to reign; and he reigned eleven years in Jerusalem. And his mother's name was Zebudah, the daughter of Pedaiah of Rumah.(KJV-1611) 2Ki 23:36 Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan onzan. Manman l' te rele Zebida. Se te pitit fi Pedaja, moun lavil Wouma.(Creole-HT) ======= 2 Kings 23:37 ============ 2Ki 23:37 And he did that which was evil in the sight of the LORD, according to all that his fathers had done.(KJV-1611) 2Ki 23:37 Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:1 ============ 2Ki 24:1 In his days Nebuchadnezzar king of Babylon came up, and Jehoiakim became his servant three years: then he turned and rebelled against him.(KJV-1611) 2Ki 24:1 Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:2 ============ 2Ki 24:2 And the LORD sent against him bands of the Chaldees, and bands of the Syrians, and bands of the Moabites, and bands of the children of Ammon, and sent them against Judah to destroy it, according to the word of the LORD, which he spake by his servants the prophets.(KJV-1611) 2Ki 24:2 Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:3 ============ 2Ki 24:3 Surely at the commandment of the LORD came this upon Judah, to remove them out of his sight, for the sins of Manasseh, according to all that he did;(KJV-1611) 2Ki 24:3 Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:4 ============ 2Ki 24:4 And also for the innocent blood that he shed: for he filled Jerusalem with innocent blood; which the LORD would not pardon.(KJV-1611) 2Ki 24:4 ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:5 ============ 2Ki 24:5 Now the rest of the acts of Jehoiakim, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah?(KJV-1611) 2Ki 24:5 Tout rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:6 ============ 2Ki 24:6 So Jehoiakim slept with his fathers: and Jehoiachin his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ki 24:6 Lè Jojakim mouri se Jojakin, pitit gason li a, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:7 ============ 2Ki 24:7 And the king of Egypt came not again any more out of his land: for the king of Babylon had taken from the river of Egypt unto the river Euphrates all that pertained to the king of Egypt.(KJV-1611) 2Ki 24:7 Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:8 ============ 2Ki 24:8 Jehoiachin was eighteen years old when he began to reign, and he reigned in Jerusalem three months. And his mother's name was Nehushta, the daughter of Elnathan of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ki 24:8 Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:9 ============ 2Ki 24:9 And he did that which was evil in the sight of the LORD, according to all that his father had done.(KJV-1611) 2Ki 24:9 Li fè sa ki mal devan Seyè a tankou papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:10 ============ 2Ki 24:10 At that time the servants of Nebuchadnezzar king of Babylon came up against Jerusalem, and the city was besieged.(KJV-1611) 2Ki 24:10 Se sou reny li lame Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te mache sou lavil Jerizalèm. Yo sènen lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:11 ============ 2Ki 24:11 And Nebuchadnezzar king of Babylon came against the city, and his servants did besiege it.(KJV-1611) 2Ki 24:11 Pandan lame a te sènen lavil la, Nèbikadneza vin atake lavil la li menm menm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:12 ============ 2Ki 24:12 And Jehoiachin the king of Judah went out to the king of Babylon, he, and his mother, and his servants, and his princes, and his officers: and the king of Babylon took him in the eighth year of his reign.(KJV-1611) 2Ki 24:12 Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:13 ============ 2Ki 24:13 And he carried out thence all the treasures of the house of the LORD, and the treasures of the king's house, and cut in pieces all the vessels of gold which Solomon king of Israel had made in the temple of the LORD, as the LORD had said.(KJV-1611) 2Ki 24:13 Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:14 ============ 2Ki 24:14 And he carried away all Jerusalem, and all the princes, and all the mighty men of valour, even ten thousand captives, and all the craftsmen and smiths: none remained, save the poorest sort of the people of the land.(KJV-1611) 2Ki 24:14 Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:15 ============ 2Ki 24:15 And he carried away Jehoiachin to Babylon, and the king's mother, and the king's wives, and his officers, and the mighty of the land, those carried he into captivity from Jerusalem to Babylon.(KJV-1611) 2Ki 24:15 Nèbikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l', madanm li yo, chèf nan gouvènman l' yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:16 ============ 2Ki 24:16 And all the men of might, even seven thousand, and craftsmen and smiths a thousand, all that were strong and apt for war, even them the king of Babylon brought captive to Babylon.(KJV-1611) 2Ki 24:16 Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:17 ============ 2Ki 24:17 And the king of Babylon made Mattaniah his father's brother king in his stead, and changed his name to Zedekiah.(KJV-1611) 2Ki 24:17 Apre sa, Nèbikadneza pran Matanya, tonton wa Jojakin, li mete l' wa nan peyi Jida. Li chanje non l', li rele l' Sedesyas.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:18 ============ 2Ki 24:18 Zedekiah was twenty and one years old when he began to reign, and he reigned eleven years in Jerusalem. And his mother's name was Hamutal, the daughter of Jeremiah of Libnah.(KJV-1611) 2Ki 24:18 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:19 ============ 2Ki 24:19 And he did that which was evil in the sight of the LORD, according to all that Jehoiakim had done.(KJV-1611) 2Ki 24:19 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin.(Creole-HT) ======= 2 Kings 24:20 ============ 2Ki 24:20 For through the anger of the LORD it came to pass in Jerusalem and Judah, until he had cast them out from his presence, that Zedekiah rebelled against the king of Babylon.(KJV-1611) 2Ki 24:20 Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:1 ============ 2Ki 25:1 And it came to pass in the ninth year of his reign, in the tenth month, in the tenth day of the month, that Nebuchadnezzar king of Babylon came, he, and all his host, against Jerusalem, and pitched against it; and they built forts against it round about.(KJV-1611) 2Ki 25:1 Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:2 ============ 2Ki 25:2 And the city was besieged unto the eleventh year of king Zedekiah.(KJV-1611) 2Ki 25:2 Yo sènen l' nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:3 ============ 2Ki 25:3 And on the ninth day of the fourth month the famine prevailed in the city, and there was no bread for the people of the land.(KJV-1611) 2Ki 25:3 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:4 ============ 2Ki 25:4 And the city was broken up, and all the men of war fled by night by the way of the gate between two walls, which is by the king's garden: (now the Chaldees were against the city round about:) and the king went the way toward the plain.(KJV-1611) 2Ki 25:4 Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:5 ============ 2Ki 25:5 And the army of the Chaldees pursued after the king, and overtook him in the plains of Jericho: and all his army were scattered from him.(KJV-1611) 2Ki 25:5 Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:6 ============ 2Ki 25:6 So they took the king, and brought him up to the king of Babylon to Riblah; and they gave judgment upon him.(KJV-1611) 2Ki 25:6 Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:7 ============ 2Ki 25:7 And they slew the sons of Zedekiah before his eyes, and put out the eyes of Zedekiah, and bound him with fetters of brass, and carried him to Babylon.(KJV-1611) 2Ki 25:7 Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:8 ============ 2Ki 25:8 And in the fifth month, on the seventh day of the month, which is the nineteenth year of king Nebuchadnezzar king of Babylon, came Nebuzaradan, captain of the guard, a servant of the king of Babylon, unto Jerusalem:(KJV-1611) 2Ki 25:8 Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:9 ============ 2Ki 25:9 And he burnt the house of the LORD, and the king's house, and all the houses of Jerusalem, and every great man's house burnt he with fire.(KJV-1611) 2Ki 25:9 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:10 ============ 2Ki 25:10 And all the army of the Chaldees, that were with the captain of the guard, brake down the walls of Jerusalem round about.(KJV-1611) 2Ki 25:10 Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:11 ============ 2Ki 25:11 Now the rest of the people that were left in the city, and the fugitives that fell away to the king of Babylon, with the remnant of the multitude, did Nebuzaradan the captain of the guard carry away.(KJV-1611) 2Ki 25:11 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:12 ============ 2Ki 25:12 But the captain of the guard left of the door of the poor of the land to be vinedressers and husbandmen.(KJV-1611) 2Ki 25:12 Men, li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:13 ============ 2Ki 25:13 And the pillars of brass that were in the house of the LORD, and the bases, and the brasen sea that was in the house of the LORD, did the Chaldees break in pieces, and carried the brass of them to Babylon.(KJV-1611) 2Ki 25:13 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:14 ============ 2Ki 25:14 And the pots, and the shovels, and the snuffers, and the spoons, and all the vessels of brass wherewith they ministered, took they away.(KJV-1611) 2Ki 25:14 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:15 ============ 2Ki 25:15 And the firepans, and the bowls, and such things as were of gold, in gold, and of silver, in silver, the captain of the guard took away.(KJV-1611) 2Ki 25:15 Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan:(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:16 ============ 2Ki 25:16 The two pillars, one sea, and the bases which Solomon had made for the house of the LORD; the brass of all these vessels was without weight.(KJV-1611) 2Ki 25:16 de gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:17 ============ 2Ki 25:17 The height of the one pillar was eighteen cubits, and the chapiter upon it was brass: and the height of the chapiter three cubits; and the wreathen work, and pomegranates upon the chapiter round about, all of brass: and like unto these had the second pillar with wreathen work.(KJV-1611) 2Ki 25:17 Chak poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:18 ============ 2Ki 25:18 And the captain of the guard took Seraiah the chief priest, and Zephaniah the second priest, and the three keepers of the door:(KJV-1611) 2Ki 25:18 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:19 ============ 2Ki 25:19 And out of the city he took an officer that was set over the men of war, and five men of them that were in the king's presence, which were found in the city, and the principal scribe of the host, which mustered the people of the land, and threescore men of the people of the land that were found in the city:(KJV-1611) 2Ki 25:19 Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:20 ============ 2Ki 25:20 And Nebuzaradan captain of the guard took these, and brought them to the king of Babylon to Riblah:(KJV-1611) 2Ki 25:20 Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:21 ============ 2Ki 25:21 And the king of Babylon smote them, and slew them at Riblah in the land of Hamath. So Judah was carried away out of their land.(KJV-1611) 2Ki 25:21 Wa a fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:22 ============ 2Ki 25:22 And as for the people that remained in the land of Judah, whom Nebuchadnezzar king of Babylon had left, even over them he made Gedaliah the son of Ahikam, the son of Shaphan, ruler.(KJV-1611) 2Ki 25:22 Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:23 ============ 2Ki 25:23 And when all the captains of the armies, they and their men, heard that the king of Babylon had made Gedaliah governor, there came to Gedaliah to Mizpah, even Ishmael the son of Nethaniah, and Johanan the son of Careah, and Seraiah the son of Tanhumeth the Netophathite, and Jaazaniah the son of a Maachathite, they and their men.(KJV-1611) 2Ki 25:23 Rès chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:24 ============ 2Ki 25:24 And Gedaliah sware to them, and to their men, and said unto them, Fear not to be the servants of the Chaldees: dwell in the land, and serve the king of Babylon; and it shall be well with you.(KJV-1611) 2Ki 25:24 Gedalya di yo: --Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:25 ============ 2Ki 25:25 But it came to pass in the seventh month, that Ishmael the son of Nethaniah, the son of Elishama, of the seed royal, came, and ten men with him, and smote Gedaliah, that he died, and the Jews and the Chaldees that were with him at Mizpah.(KJV-1611) 2Ki 25:25 Nan setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:26 ============ 2Ki 25:26 And all the people, both small and great, and the captains of the armies, arose, and came to Egypt: for they were afraid of the Chaldees.(KJV-1611) 2Ki 25:26 Lè sa a, tout moun, granmoun kou timoun, ansanm ak chèf lame yo leve, yo desann peyi Lejip paske yo te pè moun Babilòn yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:27 ============ 2Ki 25:27 And it came to pass in the seven and thirtieth year of the captivity of Jehoiachin king of Judah, in the twelfth month, on the seven and twentieth day of the month, that Evilmerodach king of Babylon in the year that he began to reign did lift up the head of Jehoiachin king of Judah out of prison;(KJV-1611) 2Ki 25:27 Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:28 ============ 2Ki 25:28 And he spake kindly to him, and set his throne above the throne of the kings that were with him in Babylon;(KJV-1611) 2Ki 25:28 Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:29 ============ 2Ki 25:29 And changed his prison garments: and he did eat bread continually before him all the days of his life.(KJV-1611) 2Ki 25:29 Li wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' chak jou jouk Jojakin mouri.(Creole-HT) ======= 2 Kings 25:30 ============ 2Ki 25:30 And his allowance was a continual allowance given him of the king, a daily rate for every day, all the days of his life.(KJV-1611) 2Ki 25:30 Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:1 ============ 1Ch 1:1 Adam, Sheth, Enosh,(KJV-1611) 1Ch 1:1 Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:2 ============ 1Ch 1:2 Kenan, Mahalaleel, Jered,(KJV-1611) 1Ch 1:2 Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:3 ============ 1Ch 1:3 Henoch, Methuselah, Lamech,(KJV-1611) 1Ch 1:3 Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:4 ============ 1Ch 1:4 Noah, Shem, Ham, and Japheth.(KJV-1611) 1Ch 1:4 Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:5 ============ 1Ch 1:5 The sons of Japheth; Gomer, and Magog, and Madai, and Javan, and Tubal, and Meshech, and Tiras.(KJV-1611) 1Ch 1:5 Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:6 ============ 1Ch 1:6 And the sons of Gomer; Ashchenaz, and Riphath, and Togarmah.(KJV-1611) 1Ch 1:6 Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:7 ============ 1Ch 1:7 And the sons of Javan; Elishah, and Tarshish, Kittim, and Dodanim.(KJV-1611) 1Ch 1:7 Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:8 ============ 1Ch 1:8 The sons of Ham; Cush, and Mizraim, Put, and Canaan.(KJV-1611) 1Ch 1:8 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:9 ============ 1Ch 1:9 And the sons of Cush; Seba, and Havilah, and Sabta, and Raamah, and Sabtecha. And the sons of Raamah; Sheba, and Dedan.(KJV-1611) 1Ch 1:9 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:10 ============ 1Ch 1:10 And Cush begat Nimrod: he began to be mighty upon the earth.(KJV-1611) 1Ch 1:10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:11 ============ 1Ch 1:11 And Mizraim begat Ludim, and Anamim, and Lehabim, and Naphtuhim,(KJV-1611) 1Ch 1:11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:12 ============ 1Ch 1:12 And Pathrusim, and Casluhim, (of whom came the Philistines,) and Caphthorim.(KJV-1611) 1Ch 1:12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:13 ============ 1Ch 1:13 And Canaan begat Zidon his firstborn, and Heth,(KJV-1611) 1Ch 1:13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:14 ============ 1Ch 1:14 The Jebusite also, and the Amorite, and the Girgashite,(KJV-1611) 1Ch 1:14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:15 ============ 1Ch 1:15 And the Hivite, and the Arkite, and the Sinite,(KJV-1611) 1Ch 1:15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:16 ============ 1Ch 1:16 And the Arvadite, and the Zemarite, and the Hamathite.(KJV-1611) 1Ch 1:16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:17 ============ 1Ch 1:17 The sons of Shem; Elam, and Asshur, and Arphaxad, and Lud, and Aram, and Uz, and Hul, and Gether, and Meshech.(KJV-1611) 1Ch 1:17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:18 ============ 1Ch 1:18 And Arphaxad begat Shelah, and Shelah begat Eber.(KJV-1611) 1Ch 1:18 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:19 ============ 1Ch 1:19 And unto Eber were born two sons: the name of the one was Peleg; because in his days the earth was divided: and his brother's name was Joktan.(KJV-1611) 1Ch 1:19 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:20 ============ 1Ch 1:20 And Joktan begat Almodad, and Sheleph, and Hazarmaveth, and Jerah,(KJV-1611) 1Ch 1:20 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:21 ============ 1Ch 1:21 Hadoram also, and Uzal, and Diklah,(KJV-1611) 1Ch 1:21 Adoram, Ouzal, Dikla,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:22 ============ 1Ch 1:22 And Ebal, and Abimael, and Sheba,(KJV-1611) 1Ch 1:22 Ebal, Abimayèl, Seba,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:23 ============ 1Ch 1:23 And Ophir, and Havilah, and Jobab. All these were the sons of Joktan.(KJV-1611) 1Ch 1:23 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:24 ============ 1Ch 1:24 Shem, Arphaxad, Shelah,(KJV-1611) 1Ch 1:24 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:25 ============ 1Ch 1:25 Eber, Peleg, Reu,(KJV-1611) 1Ch 1:25 Ebè, Pelèg, Reou,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:26 ============ 1Ch 1:26 Serug, Nahor, Terah,(KJV-1611) 1Ch 1:26 Sewoug, Nakò, Terak(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:27 ============ 1Ch 1:27 Abram; the same is Abraham.(KJV-1611) 1Ch 1:27 ak Abram ki te rele Abraram tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:28 ============ 1Ch 1:28 The sons of Abraham; Isaac, and Ishmael.(KJV-1611) 1Ch 1:28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:29 ============ 1Ch 1:29 These are their generations: The firstborn of Ishmael, Nebaioth; then Kedar, and Adbeel, and Mibsam,(KJV-1611) 1Ch 1:29 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:30 ============ 1Ch 1:30 Mishma, and Dumah, Massa, Hadad, and Tema,(KJV-1611) 1Ch 1:30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:31 ============ 1Ch 1:31 Jetur, Naphish, and Kedemah. These are the sons of Ishmael.(KJV-1611) 1Ch 1:31 Jetou, Nafich ak Kedma.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:32 ============ 1Ch 1:32 Now the sons of Keturah, Abraham's concubine: she bare Zimran, and Jokshan, and Medan, and Midian, and Ishbak, and Shuah. And the sons of Jokshan; Sheba, and Dedan.(KJV-1611) 1Ch 1:32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:33 ============ 1Ch 1:33 And the sons of Midian; Ephah, and Epher, and Henoch, and Abida, and Eldaah. All these are the sons of Keturah.(KJV-1611) 1Ch 1:33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:34 ============ 1Ch 1:34 And Abraham begat Isaac. The sons of Isaac; Esau and Israel.(KJV-1611) 1Ch 1:34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:35 ============ 1Ch 1:35 The sons of Esau; Eliphaz, Reuel, and Jeush, and Jaalam, and Korah.(KJV-1611) 1Ch 1:35 Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:36 ============ 1Ch 1:36 The sons of Eliphaz; Teman, and Omar, Zephi, and Gatam, Kenaz, and Timna, and Amalek.(KJV-1611) 1Ch 1:36 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:37 ============ 1Ch 1:37 The sons of Reuel; Nahath, Zerah, Shammah, and Mizzah.(KJV-1611) 1Ch 1:37 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:38 ============ 1Ch 1:38 And the sons of Seir; Lotan, and Shobal, and Zibeon, and Anah, and Dishon, and Ezar, and Dishan.(KJV-1611) 1Ch 1:38 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:39 ============ 1Ch 1:39 And the sons of Lotan; Hori, and Homam: and Timna was Lotan's sister.(KJV-1611) 1Ch 1:39 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:40 ============ 1Ch 1:40 The sons of Shobal; Alian, and Manahath, and Ebal, Shephi, and Onam. and the sons of Zibeon; Aiah, and Anah.(KJV-1611) 1Ch 1:40 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:41 ============ 1Ch 1:41 The sons of Anah; Dishon. And the sons of Dishon; Amram, and Eshban, and Ithran, and Cheran.(KJV-1611) 1Ch 1:41 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:42 ============ 1Ch 1:42 The sons of Ezer; Bilhan, and Zavan, and Jakan. The sons of Dishan; Uz, and Aran.(KJV-1611) 1Ch 1:42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:43 ============ 1Ch 1:43 Now these are the kings that reigned in the land of Edom before any king reigned over the children of Israel; Bela the son of Beor: and the name of his city was Dinhabah.(KJV-1611) 1Ch 1:43 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:44 ============ 1Ch 1:44 And when Bela was dead, Jobab the son of Zerah of Bozrah reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 1:44 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:45 ============ 1Ch 1:45 And when Jobab was dead, Husham of the land of the Temanites reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 1:45 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:46 ============ 1Ch 1:46 And when Husham was dead, Hadad the son of Bedad, which smote Midian in the field of Moab, reigned in his stead: and the name of his city was Avith.(KJV-1611) 1Ch 1:46 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:47 ============ 1Ch 1:47 And when Hadad was dead, Samlah of Masrekah reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 1:47 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:48 ============ 1Ch 1:48 And when Samlah was dead, Shaul of Rehoboth by the river reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 1:48 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:49 ============ 1Ch 1:49 And when Shaul was dead, Baalhanan the son of Achbor reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 1:49 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:50 ============ 1Ch 1:50 And when Baalhanan was dead, Hadad reigned in his stead: and the name of his city was Pai; and his wife's name was Mehetabel, the daughter of Matred, the daughter of Mezahab.(KJV-1611) 1Ch 1:50 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:51 ============ 1Ch 1:51 Hadad died also. And the dukes of Edom were; duke Timnah, duke Aliah, duke Jetheth,(KJV-1611) 1Ch 1:51 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:52 ============ 1Ch 1:52 Duke Aholibamah, duke Elah, duke Pinon,(KJV-1611) 1Ch 1:52 Olibama, Ela, Pinon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:53 ============ 1Ch 1:53 Duke Kenaz, duke Teman, duke Mibzar,(KJV-1611) 1Ch 1:53 Kenaz, Teman, Mibza,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 1:54 ============ 1Ch 1:54 Duke Magdiel, duke Iram. These are the dukes of Edom.(KJV-1611) 1Ch 1:54 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:1 ============ 1Ch 2:1 These are the sons of Israel; Reuben, Simeon, Levi, and Judah, Issachar, and Zebulun,(KJV-1611) 1Ch 2:1 Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:2 ============ 1Ch 2:2 Dan, Joseph, and Benjamin, Naphtali, Gad, and Asher.(KJV-1611) 1Ch 2:2 Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:3 ============ 1Ch 2:3 The sons of Judah; Er, and Onan, and Shelah: which three were born unto him of the daughter of Shua the Canaanitess. And Er, the firstborn of Judah, was evil in the sight of the LORD; and he slew him.(KJV-1611) 1Ch 2:3 Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:4 ============ 1Ch 2:4 And Tamar his daughter in law bore him Pharez and Zerah. All the sons of Judah were five.(KJV-1611) 1Ch 2:4 Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:5 ============ 1Ch 2:5 The sons of Pharez; Hezron, and Hamul.(KJV-1611) 1Ch 2:5 Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:6 ============ 1Ch 2:6 And the sons of Zerah; Zimri, and Ethan, and Heman, and Calcol, and Dara: five of them in all.(KJV-1611) 1Ch 2:6 Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:7 ============ 1Ch 2:7 And the sons of Carmi; Achar, the troubler of Israel, who transgressed in the thing accursed.(KJV-1611) 1Ch 2:7 Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:8 ============ 1Ch 2:8 And the sons of Ethan; Azariah.(KJV-1611) 1Ch 2:8 Etan te papa Azarya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:9 ============ 1Ch 2:9 The sons also of Hezron, that were born unto him; Jerahmeel, and Ram, and Chelubai.(KJV-1611) 1Ch 2:9 Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:10 ============ 1Ch 2:10 And Ram begat Amminadab; and Amminadab begat Nahshon, prince of the children of Judah;(KJV-1611) 1Ch 2:10 Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:11 ============ 1Ch 2:11 And Nahshon begat Salma, and Salma begat Boaz,(KJV-1611) 1Ch 2:11 Salma te papa Boz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:12 ============ 1Ch 2:12 And Boaz begat Obed, and Obed begat Jesse,(KJV-1611) 1Ch 2:12 Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:13 ============ 1Ch 2:13 And Jesse begat his firstborn Eliab, and Abinadab the second, and Shimma the third,(KJV-1611) 1Ch 2:13 Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l',(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:14 ============ 1Ch 2:14 Nethaneel the fourth, Raddai the fifth,(KJV-1611) 1Ch 2:14 Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:15 ============ 1Ch 2:15 Ozem the sixth, David the seventh:(KJV-1611) 1Ch 2:15 ak David, setyèm pitit gason l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:16 ============ 1Ch 2:16 Whose sisters were Zeruiah, and Abigail. And the sons of Zeruiah; Abishai, and Joab, and Asahel, three.(KJV-1611) 1Ch 2:16 De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:17 ============ 1Ch 2:17 And Abigail bare Amasa: and the father of Amasa was Jether the Ishmeelite.(KJV-1611) 1Ch 2:17 Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:18 ============ 1Ch 2:18 And Caleb the son of Hezron begat children of Azubah his wife, and of Jerioth: her sons are these; Jesher, and Shobab, and Ardon.(KJV-1611) 1Ch 2:18 Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:19 ============ 1Ch 2:19 And when Azubah was dead, Caleb took unto him Ephrath, which bare him Hur.(KJV-1611) 1Ch 2:19 Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:20 ============ 1Ch 2:20 And Hur begat Uri, and Uri begat Bezaleel.(KJV-1611) 1Ch 2:20 Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:21 ============ 1Ch 2:21 And afterward Hezron went in to the daughter of Machir the father of Gilead, whom he married when he was threescore years old; and she bare him Segub.(KJV-1611) 1Ch 2:21 Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:22 ============ 1Ch 2:22 And Segub begat Jair, who had three and twenty cities in the land of Gilead.(KJV-1611) 1Ch 2:22 Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:23 ============ 1Ch 2:23 And he took Geshur, and Aram, with the towns of Jair, from them, with Kenath, and the towns thereof, even threescore cities. All these belonged to the sons of Machir the father of Gilead.(KJV-1611) 1Ch 2:23 Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:24 ============ 1Ch 2:24 And after that Hezron was dead in Calebephratah, then Abiah Hezron's wife bare him Ashur the father of Tekoa.(KJV-1611) 1Ch 2:24 Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:25 ============ 1Ch 2:25 And the sons of Jerahmeel the firstborn of Hezron were, Ram the firstborn, and Bunah, and Oren, and Ozem, and Ahijah.(KJV-1611) 1Ch 2:25 Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:26 ============ 1Ch 2:26 Jerahmeel had also another wife, whose name was Atarah; she was the mother of Onam.(KJV-1611) 1Ch 2:26 Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:27 ============ 1Ch 2:27 And the sons of Ram the firstborn of Jerahmeel were, Maaz, and Jamin, and Eker.(KJV-1611) 1Ch 2:27 Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:28 ============ 1Ch 2:28 And the sons of Onam were, Shammai, and Jada. And the sons of Shammai; Nadab and Abishur.(KJV-1611) 1Ch 2:28 Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:29 ============ 1Ch 2:29 And the name of the wife of Abishur was Abihail, and she bare him Ahban, and Molid.(KJV-1611) 1Ch 2:29 Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:30 ============ 1Ch 2:30 And the sons of Nadab; Seled, and Appaim: but Seled died without children.(KJV-1611) 1Ch 2:30 Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:31 ============ 1Ch 2:31 And the sons of Appaim; Ishi. And the sons of Ishi; Sheshan. And the children of Sheshan; Ahlai.(KJV-1611) 1Ch 2:31 Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:32 ============ 1Ch 2:32 And the sons of Jada the brother of Shammai; Jether, and Jonathan: and Jether died without children.(KJV-1611) 1Ch 2:32 Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:33 ============ 1Ch 2:33 And the sons of Jonathan; Peleth, and Zaza. These were the sons of Jerahmeel.(KJV-1611) 1Ch 2:33 Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:34 ============ 1Ch 2:34 Now Sheshan had no sons, but daughters. And Sheshan had a servant, an Egyptian, whose name was Jarha.(KJV-1611) 1Ch 2:34 Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:35 ============ 1Ch 2:35 And Sheshan gave his daughter to Jarha his servant to wife; and she bare him Attai.(KJV-1611) 1Ch 2:35 Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:36 ============ 1Ch 2:36 And Attai begat Nathan, and Nathan begat Zabad,(KJV-1611) 1Ch 2:36 Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:37 ============ 1Ch 2:37 And Zabad begat Ephlal, and Ephlal begat Obed,(KJV-1611) 1Ch 2:37 Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:38 ============ 1Ch 2:38 And Obed begat Jehu, and Jehu begat Azariah,(KJV-1611) 1Ch 2:38 Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:39 ============ 1Ch 2:39 And Azariah begat Helez, and Helez begat Eleasah,(KJV-1611) 1Ch 2:39 Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:40 ============ 1Ch 2:40 And Eleasah begat Sisamai, and Sisamai begat Shallum,(KJV-1611) 1Ch 2:40 Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:41 ============ 1Ch 2:41 And Shallum begat Jekamiah, and Jekamiah begat Elishama.(KJV-1611) 1Ch 2:41 Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:42 ============ 1Ch 2:42 Now the sons of Caleb the brother of Jerahmeel were, Mesha his firstborn, which was the father of Ziph; and the sons of Mareshah the father of Hebron.(KJV-1611) 1Ch 2:42 Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:43 ============ 1Ch 2:43 And the sons of Hebron; Korah, and Tappuah, and Rekem, and Shema.(KJV-1611) 1Ch 2:43 Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:44 ============ 1Ch 2:44 And Shema begat Raham, the father of Jorkoam: and Rekem begat Shammai.(KJV-1611) 1Ch 2:44 Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:45 ============ 1Ch 2:45 And the son of Shammai was Maon: and Maon was the father of Bethzur.(KJV-1611) 1Ch 2:45 Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:46 ============ 1Ch 2:46 And Ephah, Caleb's concubine, bare Haran, and Moza, and Gazez: and Haran begat Gazez.(KJV-1611) 1Ch 2:46 Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:47 ============ 1Ch 2:47 And the sons of Jahdai; Regem, and Jotham, and Gesham, and Pelet, and Ephah, and Shaaph.(KJV-1611) 1Ch 2:47 Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:48 ============ 1Ch 2:48 Maachah, Caleb's concubine, bare Sheber, and Tirhanah.(KJV-1611) 1Ch 2:48 Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:49 ============ 1Ch 2:49 She bare also Shaaph the father of Madmannah, Sheva the father of Machbenah, and the father of Gibea: and the daughter of Caleb was Achsa.(KJV-1611) 1Ch 2:49 Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:50 ============ 1Ch 2:50 These were the sons of Caleb the son of Hur, the firstborn of Ephratah; Shobal the father of Kirjathjearim.(KJV-1611) 1Ch 2:50 Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:51 ============ 1Ch 2:51 Salma the father of Bethlehem, Hareph the father of Bethgader.(KJV-1611) 1Ch 2:51 Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:52 ============ 1Ch 2:52 And Shobal the father of Kirjathjearim had sons; Haroeh, and half of the Manahethites.(KJV-1611) 1Ch 2:52 Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:53 ============ 1Ch 2:53 And the families of Kirjathjearim; the Ithrites, and the Puhites, and the Shumathites, and the Mishraites; of them came the Zareathites, and the Eshtaulites,(KJV-1611) 1Ch 2:53 ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:54 ============ 1Ch 2:54 The sons of Salma; Bethlehem, and the Netophathites, Ataroth, the house of Joab, and half of the Manahethites, the Zorites.(KJV-1611) 1Ch 2:54 Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 2:55 ============ 1Ch 2:55 And the families of the scribes which dwelt at Jabez; the Tirathites, the Shimeathites, and Suchathites. These are the Kenites that came of Hemath, the father of the house of Rechab.(KJV-1611) 1Ch 2:55 Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:1 ============ 1Ch 3:1 Now these were the sons of David, which were born unto him in Hebron; the firstborn Amnon, of Ahinoam the Jezreelitess; the second Daniel, of Abigail the Carmelitess:(KJV-1611) 1Ch 3:1 Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l'. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:2 ============ 1Ch 3:2 The third, Absalom the son of Maachah the daughter of Talmai king of Geshur: the fourth, Adonijah the son of Haggith:(KJV-1611) 1Ch 3:2 Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:3 ============ 1Ch 3:3 The fifth, Shephatiah of Abital: the sixth, Ithream by Eglah his wife.(KJV-1611) 1Ch 3:3 Senkyèm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'. Sizyèm lan te rele Jitreyam. Se Egla, madan David, ki te manman l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:4 ============ 1Ch 3:4 These six were born unto him in Hebron; and there he reigned seven years and six months: and in Jerusalem he reigned thirty and three years.(KJV-1611) 1Ch 3:4 Sis pitit sa yo te fèt lavil Ebwon kote David te gouvènen pandan sètan sis mwa. Apre sa, David al rete lavil Jerizalèm kote li gouvènen pandan tranntwazan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:5 ============ 1Ch 3:5 And these were born unto him in Jerusalem; Shimea, and Shobab, and Nathan, and Solomon, four, of Bathshua the daughter of Ammiel:(KJV-1611) 1Ch 3:5 Li fè anpil pitit gason la tou. Batcheba, pitit fi Amiyel la, fe kat pitit gason pou li: Chimea, Chabab, Natan ak Salomon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:6 ============ 1Ch 3:6 Ibhar also, and Elishama, and Eliphelet,(KJV-1611) 1Ch 3:6 Li te gen nèf lòt pitit gason: Iba, Elichwa, Elpelèt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:7 ============ 1Ch 3:7 And Nogah, and Nepheg, and Japhia,(KJV-1611) 1Ch 3:7 Noga, Nefèg, Jafya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:8 ============ 1Ch 3:8 And Elishama, and Eliada, and Eliphelet, nine.(KJV-1611) 1Ch 3:8 Elichama, Elyada, Elifelèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:9 ============ 1Ch 3:9 These were all the sons of David, beside the sons of the concubines, and Tamar their sister.(KJV-1611) 1Ch 3:9 David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:10 ============ 1Ch 3:10 And Solomon's son was Rehoboam, Abia his son, Asa his son, Jehoshaphat his son,(KJV-1611) 1Ch 3:10 Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:11 ============ 1Ch 3:11 Joram his son, Ahaziah his son, Joash his son,(KJV-1611) 1Ch 3:11 Jozafa te papa Joram, Joram te papa Okozyas, Okozyas te papa Joas,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:12 ============ 1Ch 3:12 Amaziah his son, Azariah his son, Jotham his son,(KJV-1611) 1Ch 3:12 Joas te papa Amazya, Amazya te papa Azarya, Azarya te papa Jotam,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:13 ============ 1Ch 3:13 Ahaz his son, Hezekiah his son, Manasseh his son,(KJV-1611) 1Ch 3:13 Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:14 ============ 1Ch 3:14 Amon his son, Josiah his son.(KJV-1611) 1Ch 3:14 Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:15 ============ 1Ch 3:15 And the sons of Josiah were, the firstborn Johanan, the second Jehoiakim, the third Zedekiah, the fourth Shallum.(KJV-1611) 1Ch 3:15 Jozyas te gen kat pitit gason. Pi gran an te rele Jokanan, dezyèm lan Jojakim, twazyèm lan Sedesyas, katriyèm lan Chaloum.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:16 ============ 1Ch 3:16 And the sons of Jehoiakim: Jeconiah his son, Zedekiah his son.(KJV-1611) 1Ch 3:16 Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:17 ============ 1Ch 3:17 And the sons of Jeconiah; Assir, Salathiel his son,(KJV-1611) 1Ch 3:17 Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. Jojakim te gen sèt pitit gason: Chealtyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:18 ============ 1Ch 3:18 Malchiram also, and Pedaiah, and Shenazar, Jecamiah, Hoshama, and Nedabiah.(KJV-1611) 1Ch 3:18 Malkiram, Pedaja, Chenasa, Jekamya, Ochama ak Nedabya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:19 ============ 1Ch 3:19 And the sons of Pedaiah were, Zerubbabel, and Shimei: and the sons of Zerubbabel; Meshullam, and Hananiah, and Shelomith their sister:(KJV-1611) 1Ch 3:19 Pedaja te gen de pitit gason: Zowobabèl ak Chimeyi. Zowobabel te gen de pitit gason: Mechoulam ak Ananya, ak yon pitit fi, Chelomit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:20 ============ 1Ch 3:20 And Hashubah, and Ohel, and Berechiah, and Hasadiah, Jushabhesed, five.(KJV-1611) 1Ch 3:20 Li te fè senk lòt pitit gason. Se te Achouba, Ojèl, Berekya, Asadya ak Jouchabesèd.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:21 ============ 1Ch 3:21 And the sons of Hananiah; Pelatiah, and Jesaiah: the sons of Rephaiah, the sons of Arnan, the sons of Obadiah, the sons of Shechaniah.(KJV-1611) 1Ch 3:21 Ananya te gen de pitit gason: Pelatya ak Jechaya. Jechaya te papa Refaya, Refaya te papa Anan, Anan te papa Obadya, Obadya te papa Chekanya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:22 ============ 1Ch 3:22 And the sons of Shechaniah; Shemaiah: and the sons of Shemaiah; Hattush, and Igeal, and Bariah, and Neariah, and Shaphat, six.(KJV-1611) 1Ch 3:22 Chekanya te gen yon pitit gason, Chemaya, ak senk pitit pitit: Atouch, Igal, Barya, Nearya ak Chafat.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:23 ============ 1Ch 3:23 And the sons of Neariah; Elioenai, and Hezekiah, and Azrikam, three.(KJV-1611) 1Ch 3:23 Nearya te gen twa pitit gason: Elioenayi, Izkiya ak Azrikam.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 3:24 ============ 1Ch 3:24 And the sons of Elioenai were, Hodaiah, and Eliashib, and Pelaiah, and Akkub, and Johanan, and Dalaiah, and Anani, seven.(KJV-1611) 1Ch 3:24 Elioenayi te gen sèt pitit gason: Odavya, Elyachib, Pelaya, Akoub, Joanan, Delaya ak Anani.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:1 ============ 1Ch 4:1 The sons of Judah; Pharez, Hezron, and Carmi, and Hur, and Shobal.(KJV-1611) 1Ch 4:1 Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, Ezwon, Kami, Our ak Chobal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:2 ============ 1Ch 4:2 And Reaiah the son of Shobal begat Jahath; and Jahath begat Ahumai, and Lahad. These are the families of the Zorathites.(KJV-1611) 1Ch 4:2 Chobal te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:3 ============ 1Ch 4:3 And these were of the father of Etam; Jezreel, and Ishma, and Idbash: and the name of their sister was Hazelelponi:(KJV-1611) 1Ch 4:3 Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:4 ============ 1Ch 4:4 And Penuel the father of Gedor, and Ezer the father of Hushah. These are the sons of Hur, the firstborn of Ephratah, the father of Bethlehem.(KJV-1611) 1Ch 4:4 Penwèl, yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madan Kalèb. Se branch fanmi l' lan ki te bati lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:5 ============ 1Ch 4:5 And Ashur the father of Tekoa had two wives, Helah and Naarah.(KJV-1611) 1Ch 4:5 Achou, ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:6 ============ 1Ch 4:6 And Naarah bare him Ahuzam, and Hepher, and Temeni, and Haahashtari. These were the sons of Naarah.(KJV-1611) 1Ch 4:6 Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:7 ============ 1Ch 4:7 And the sons of Helah were, Zereth, and Jezoar, and Ethnan.(KJV-1611) 1Ch 4:7 Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:8 ============ 1Ch 4:8 And Coz begat Anub, and Zobebah, and the families of Aharhel the son of Harum.(KJV-1611) 1Ch 4:8 Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:9 ============ 1Ch 4:9 And Jabez was more honourable than his brethren: and his mother called his name Jabez, saying, Because I bare him with sorrow.(KJV-1611) 1Ch 4:9 Te gen yon moun yo te rele Jabez. Nan tout fanmi l', se li menm yo te pi respekte. Manman l' te rele l' konsa, paske li te soufri anpil lè li t'ap fè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:10 ============ 1Ch 4:10 And Jabez called on the God of Israel, saying, Oh that thou wouldest bless me indeed, and enlarge my coast, and that thine hand might be with me, and that thou wouldest keep me from evil, that it may not grieve me! And God granted him that which he requested.(KJV-1611) 1Ch 4:10 Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:11 ============ 1Ch 4:11 And Chelub the brother of Shuah begat Mehir, which was the father of Eshton.(KJV-1611) 1Ch 4:11 Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:12 ============ 1Ch 4:12 And Eshton begat Bethrapha, and Paseah, and Tehinnah the father of Irnahash. These are the men of Rechah.(KJV-1611) 1Ch 4:12 Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:13 ============ 1Ch 4:13 And the sons of Kenaz; Othniel, and Seraiah: and the sons of Othniel; Hathath.(KJV-1611) 1Ch 4:13 Kenaz te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:14 ============ 1Ch 4:14 And Meonothai begat Ophrah: and Seraiah begat Joab, the father of the valley of Charashim; for they were craftsmen.(KJV-1611) 1Ch 4:14 Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bòs Atizan yo. Tout moun sa yo te bòs nan metye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:15 ============ 1Ch 4:15 And the sons of Caleb the son of Jephunneh; Iru, Elah, and Naam: and the sons of Elah, even Kenaz.(KJV-1611) 1Ch 4:15 Kalèb, pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l': Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:16 ============ 1Ch 4:16 And the sons of Jehaleleel; Ziph, and Ziphah, Tiria, and Asareel.(KJV-1611) 1Ch 4:16 Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:17 ============ 1Ch 4:17 And the sons of Ezra were, Jether, and Mered, and Epher, and Jalon: and she bare Miriam, and Shammai, and Ishbah the father of Eshtemoa.(KJV-1611) 1Ch 4:17 (Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:18 ============ 1Ch 4:18 And his wife Jehudijah bare Jered the father of Gedor, and Heber the father of Socho, and Jekuthiel the father of Zanoah. And these are the sons of Bithiah the daughter of Pharaoh, which Mered took.(KJV-1611) 1Ch 4:18 Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou. Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:19 ============ 1Ch 4:19 And the sons of his wife Hodiah the sister of Naham, the father of Keilah the Garmite, and Eshtemoa the Maachathite.(KJV-1611) 1Ch 4:19 Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:20 ============ 1Ch 4:20 And the sons of Shimon were, Amnon, and Rinnah, Benhanan, and Tilon. And the sons of Ishi were, Zoheth, and Benzoheth.(KJV-1611) 1Ch 4:20 Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:21 ============ 1Ch 4:21 The sons of Shelah the son of Judah were, Er the father of Lecah, and Laadah the father of Mareshah, and the families of the house of them that wrought fine linen, of the house of Ashbea,(KJV-1611) 1Ch 4:21 Men moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fin nan lavil Bètachbea yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:22 ============ 1Ch 4:22 And Jokim, and the men of Chozeba, and Joash, and Saraph, who had the dominion in Moab, and Jashubilehem. And these are ancient things.(KJV-1611) 1Ch 4:22 Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Moab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:23 ============ 1Ch 4:23 These were the potters, and those that dwelt among plants and hedges: there they dwelt with the king for his work.(KJV-1611) 1Ch 4:23 Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:24 ============ 1Ch 4:24 The sons of Simeon were, Nemuel, and Jamin, Jarib, Zerah, and Shaul:(KJV-1611) 1Ch 4:24 Simeyon te gen senk pitit gason: Nemwèl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:25 ============ 1Ch 4:25 Shallum his son, Mibsam his son, Mishma his son.(KJV-1611) 1Ch 4:25 Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:26 ============ 1Ch 4:26 And the sons of Mishma; Hamuel his son, Zacchur his son, Shimei his son.(KJV-1611) 1Ch 4:26 Michma te papa Amwèl, Amwèl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:27 ============ 1Ch 4:27 And Shimei had sixteen sons and six daughters: but his brethren had not many children, neither did all their family multiply, like to the children of Judah.(KJV-1611) 1Ch 4:27 Chimeyi te gen sèz pitit gason ak sis pitit fi. Men lòt frè l' yo pa t' fè anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pa t' rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:28 ============ 1Ch 4:28 And they dwelt at Beersheba, and Moladah, and Hazarshual,(KJV-1611) 1Ch 4:28 Rive sou rèy wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:29 ============ 1Ch 4:29 And at Bilhah, and at Ezem, and at Tolad,(KJV-1611) 1Ch 4:29 Bila, Ezèm, Tolad,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:30 ============ 1Ch 4:30 And at Bethuel, and at Hormah, and at Ziklag,(KJV-1611) 1Ch 4:30 Betwèl, Oma, Zikla,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:31 ============ 1Ch 4:31 And at Bethmarcaboth, and Hazarsusim, and at Bethbirei, and at Shaaraim. These were their cities unto the reign of David.(KJV-1611) 1Ch 4:31 Bètmakabòt, Azasousim, Bètbireyi ak Charayim.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:32 ============ 1Ch 4:32 And their villages were, Etam, and Ain, Rimmon, and Tochen, and Ashan, five cities:(KJV-1611) 1Ch 4:32 Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:33 ============ 1Ch 4:33 And all their villages that were round about the same cities, unto Baal. These were their habitations, and their genealogy.(KJV-1611) 1Ch 4:33 ak tout ti bouk ki nan vwazinaj yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:34 ============ 1Ch 4:34 And Meshobab, and Jamlech, and Joshah, the son of Amaziah,(KJV-1611) 1Ch 4:34 (Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:35 ============ 1Ch 4:35 And Joel, and Jehu the son of Josibiah, the son of Seraiah, the son of Asiel,(KJV-1611) 1Ch 4:35 Men moun ki te chèf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Joèl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:36 ============ 1Ch 4:36 And Elioenai, and Jaakobah, and Jeshohaiah, and Asaiah, and Adiel, and Jesimiel, and Benaiah,(KJV-1611) 1Ch 4:36 Elioenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaja,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:37 ============ 1Ch 4:37 And Ziza the son of Shiphi, the son of Allon, the son of Jedaiah, the son of Shimri, the son of Shemaiah;(KJV-1611) 1Ch 4:37 Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:38 ============ 1Ch 4:38 These mentioned by their names were princes in their families: and the house of their fathers increased greatly.(KJV-1611) 1Ch 4:38 Tout moun nou sot nonmen la yo te chèf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:39 ============ 1Ch 4:39 And they went to the entrance of Gedor, even unto the east side of the valley, to seek pasture for their flocks.(KJV-1611) 1Ch 4:39 Y' al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:40 ============ 1Ch 4:40 And they found fat pasture and good, and the land was wide, and quiet, and peaceable; for they of Ham had dwelt there of old.(KJV-1611) 1Ch 4:40 La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:41 ============ 1Ch 4:41 And these written by name came in the days of Hezekiah king of Judah, and smote their tents, and the habitations that were found there, and destroyed them utterly unto this day, and dwelt in their rooms: because there was pasture there for their flocks.(KJV-1611) 1Ch 4:41 Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedò, yo touye moun fanmi Kam yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:42 ============ 1Ch 4:42 And some of them, even of the sons of Simeon, five hundred men, went to mount Seir, having for their captains Pelatiah, and Neariah, and Rephaiah, and Uzziel, the sons of Ishi.(KJV-1611) 1Ch 4:42 Senksan lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 4:43 ============ 1Ch 4:43 And they smote the rest of the Amalekites that were escaped, and dwelt there unto this day.(KJV-1611) 1Ch 4:43 Lè yo rive, yo touye rès moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:1 ============ 1Ch 5:1 Now the sons of Reuben the firstborn of Israel, (for he was the firstborn; but forasmuch as he defiled his father's bed, his birthright was given unto the sons of Joseph the son of Israel: and the genealogy is not to be reckoned after the birthright.(KJV-1611) 1Ch 5:1 Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:2 ============ 1Ch 5:2 For Judah prevailed above his brethren, and of him came the chief ruler; but the birthright was Joseph's:)(KJV-1611) 1Ch 5:2 Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:3 ============ 1Ch 5:3 The sons, I say, of Reuben the firstborn of Israel were, Hanoch, and Pallu, Hezron, and Carmi.(KJV-1611) 1Ch 5:3 Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:4 ============ 1Ch 5:4 The sons of Joel; Shemaiah his son, Gog his son, Shimei his son,(KJV-1611) 1Ch 5:4 Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:5 ============ 1Ch 5:5 Micah his son, Reaia his son, Baal his son,(KJV-1611) 1Ch 5:5 Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:6 ============ 1Ch 5:6 Beerah his son, whom Tilgathpilneser king of Assyria carried away captive: he was prince of the Reubenites.(KJV-1611) 1Ch 5:6 Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:7 ============ 1Ch 5:7 And his brethren by their families, when the genealogy of their generations was reckoned, were the chief, Jeiel, and Zechariah,(KJV-1611) 1Ch 5:7 Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:8 ============ 1Ch 5:8 And Bela the son of Azaz, the son of Shema, the son of Joel, who dwelt in Aroer, even unto Nebo and Baalmeon:(KJV-1611) 1Ch 5:8 Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:9 ============ 1Ch 5:9 And eastward he inhabited unto the entering in of the wilderness from the river Euphrates: because their cattle were multiplied in the land of Gilead.(KJV-1611) 1Ch 5:9 Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:10 ============ 1Ch 5:10 And in the days of Saul they made war with the Hagarites, who fell by their hand: and they dwelt in their tents throughout all the east land of Gilead.(KJV-1611) 1Ch 5:10 Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:11 ============ 1Ch 5:11 And the children of Gad dwelt over against them, in the land of Bashan unto Salcah:(KJV-1611) 1Ch 5:11 Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:12 ============ 1Ch 5:12 Joel the chief, and Shapham the next, and Jaanai, and Shaphat in Bashan.(KJV-1611) 1Ch 5:12 Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:13 ============ 1Ch 5:13 And their brethren of the house of their fathers were, Michael, and Meshullam, and Sheba, and Jorai, and Jachan, and Zia, and Heber, seven.(KJV-1611) 1Ch 5:13 Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:14 ============ 1Ch 5:14 These are the children of Abihail the son of Huri, the son of Jaroah, the son of Gilead, the son of Michael, the son of Jeshishai, the son of Jahdo, the son of Buz;(KJV-1611) 1Ch 5:14 Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:15 ============ 1Ch 5:15 Ahi the son of Abdiel, the son of Guni, chief of the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 5:15 Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:16 ============ 1Ch 5:16 And they dwelt in Gilead in Bashan, and in her towns, and in all the suburbs of Sharon, upon their borders.(KJV-1611) 1Ch 5:16 Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:17 ============ 1Ch 5:17 All these were reckoned by genealogies in the days of Jotham king of Judah, and in the days of Jeroboam king of Israel.(KJV-1611) 1Ch 5:17 Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:18 ============ 1Ch 5:18 The sons of Reuben, and the Gadites, and half the tribe of Manasseh, of valiant men, men able to bear buckler and sword, and to shoot with bow, and skilful in war, were four and forty thousand seven hundred and threescore, that went out to the war.(KJV-1611) 1Ch 5:18 Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:19 ============ 1Ch 5:19 And they made war with the Hagarites, with Jetur, and Nephish, and Nodab.(KJV-1611) 1Ch 5:19 Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:20 ============ 1Ch 5:20 And they were helped against them, and the Hagarites were delivered into their hand, and all that were with them: for they cried to God in the battle, and he was intreated of them; because they put their trust in him.(KJV-1611) 1Ch 5:20 Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:21 ============ 1Ch 5:21 And they took away their cattle; of their camels fifty thousand, and of sheep two hundred and fifty thousand, and of asses two thousand, and of men an hundred thousand.(KJV-1611) 1Ch 5:21 Yo pran senkantmil prizonye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:22 ============ 1Ch 5:22 For there fell down many slain, because the war was of God. And they dwelt in their steads until the captivity.(KJV-1611) 1Ch 5:22 Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:23 ============ 1Ch 5:23 And the children of the half tribe of Manasseh dwelt in the land: they increased from Bashan unto Baalhermon and Senir, and unto mount Hermon.(KJV-1611) 1Ch 5:23 Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:24 ============ 1Ch 5:24 And these were the heads of the house of their fathers, even Epher, and Ishi, and Eliel, and Azriel, and Jeremiah, and Hodaviah, and Jahdiel, mighty men of valour, famous men, and heads of the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 5:24 Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:25 ============ 1Ch 5:25 And they transgressed against the God of their fathers, and went a whoring after the gods of the people of the land, whom God destroyed before them.(KJV-1611) 1Ch 5:25 Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y' al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 5:26 ============ 1Ch 5:26 And the God of Israel stirred up the spirit of Pul king of Assyria, and the spirit of Tilgathpilneser king of Assyria, and he carried them away, even the Reubenites, and the Gadites, and the half tribe of Manasseh, and brought them unto Halah, and Habor, and Hara, and to the river Gozan, unto this day.(KJV-1611) 1Ch 5:26 Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:1 ============ 1Ch 6:1 The sons of Levi; Gershon, Kohath, and Merari.(KJV-1611) 1Ch 6:1 Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:2 ============ 1Ch 6:2 And the sons of Kohath; Amram, Izhar, and Hebron, and Uzziel.(KJV-1611) 1Ch 6:2 Keyat te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:3 ============ 1Ch 6:3 And the children of Amram; Aaron, and Moses, and Miriam. The sons also of Aaron; Nadab, and Abihu, Eleazar, and Ithamar.(KJV-1611) 1Ch 6:3 Amram te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:4 ============ 1Ch 6:4 Eleazar begat Phinehas, Phinehas begat Abishua,(KJV-1611) 1Ch 6:4 Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:5 ============ 1Ch 6:5 And Abishua begat Bukki, and Bukki begat Uzzi,(KJV-1611) 1Ch 6:5 Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:6 ============ 1Ch 6:6 And Uzzi begat Zerahiah, and Zerahiah begat Meraioth,(KJV-1611) 1Ch 6:6 Ouzi te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:7 ============ 1Ch 6:7 Meraioth begat Amariah, and Amariah begat Ahitub,(KJV-1611) 1Ch 6:7 Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:8 ============ 1Ch 6:8 And Ahitub begat Zadok, and Zadok begat Ahimaaz,(KJV-1611) 1Ch 6:8 Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:9 ============ 1Ch 6:9 And Ahimaaz begat Azariah, and Azariah begat Johanan,(KJV-1611) 1Ch 6:9 Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:10 ============ 1Ch 6:10 And Johanan begat Azariah, (he it is that executed the priest's office in the temple that Solomon built in Jerusalem:)(KJV-1611) 1Ch 6:10 Joanan te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:11 ============ 1Ch 6:11 And Azariah begat Amariah, and Amariah begat Ahitub,(KJV-1611) 1Ch 6:11 Azarya te papa Amarya, Amarya te papa Achitoub,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:12 ============ 1Ch 6:12 And Ahitub begat Zadok, and Zadok begat Shallum,(KJV-1611) 1Ch 6:12 Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:13 ============ 1Ch 6:13 And Shallum begat Hilkiah, and Hilkiah begat Azariah,(KJV-1611) 1Ch 6:13 Chaloum te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:14 ============ 1Ch 6:14 And Azariah begat Seraiah, and Seraiah begat Jehozadak,(KJV-1611) 1Ch 6:14 Azarya te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:15 ============ 1Ch 6:15 And Jehozadak went into captivity, when the LORD carried away Judah and Jerusalem by the hand of Nebuchadnezzar.(KJV-1611) 1Ch 6:15 Wa Nèbikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l' la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:16 ============ 1Ch 6:16 The sons of Levi; Gershom, Kohath, and Merari.(KJV-1611) 1Ch 6:16 Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:17 ============ 1Ch 6:17 And these be the names of the sons of Gershom; Libni, and Shimei.(KJV-1611) 1Ch 6:17 Men non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:18 ============ 1Ch 6:18 And the sons of Kohath were, Amram, and Izhar, and Hebron, and Uzziel.(KJV-1611) 1Ch 6:18 Keyat te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:19 ============ 1Ch 6:19 The sons of Merari; Mahli, and Mushi. And these are the families of the Levites according to their fathers.(KJV-1611) 1Ch 6:19 Merari te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:20 ============ 1Ch 6:20 Of Gershom; Libni his son, Jahath his son, Zimmah his son,(KJV-1611) 1Ch 6:20 Gèchon te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:21 ============ 1Ch 6:21 Joah his son, Iddo his son, Zerah his son, Jeaterai his son.(KJV-1611) 1Ch 6:21 Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:22 ============ 1Ch 6:22 The sons of Kohath; Amminadab his son, Korah his son, Assir his son,(KJV-1611) 1Ch 6:22 Keyat te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:23 ============ 1Ch 6:23 Elkanah his son, and Ebiasaph his son, and Assir his son,(KJV-1611) 1Ch 6:23 Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:24 ============ 1Ch 6:24 Tahath his son, Uriel his son, Uzziah his son, and Shaul his son.(KJV-1611) 1Ch 6:24 Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:25 ============ 1Ch 6:25 And the sons of Elkanah; Amasai, and Ahimoth.(KJV-1611) 1Ch 6:25 Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:26 ============ 1Ch 6:26 As for Elkanah: the sons of Elkanah; Zophai his son, and Nahath his son,(KJV-1611) 1Ch 6:26 Akimòt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:27 ============ 1Ch 6:27 Eliab his son, Jeroham his son, Elkanah his son.(KJV-1611) 1Ch 6:27 Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:28 ============ 1Ch 6:28 And the sons of Samuel; the firstborn Vashni, and Abiah.(KJV-1611) 1Ch 6:28 Samyèl te gen de pitit gason: Joèl, pi gran an ak Abija, dezyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:29 ============ 1Ch 6:29 The sons of Merari; Mahli, Libni his son, Shimei his son, Uzza his son,(KJV-1611) 1Ch 6:29 Merari bò pa l' te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:30 ============ 1Ch 6:30 Shimea his son, Haggiah his son, Asaiah his son.(KJV-1611) 1Ch 6:30 Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:31 ============ 1Ch 6:31 And these are they whom David set over the service of song in the house of the LORD, after that the ark had rest.(KJV-1611) 1Ch 6:31 Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:32 ============ 1Ch 6:32 And they ministered before the dwelling place of the tabernacle of the congregation with singing, until Solomon had built the house of the LORD in Jerusalem: and then they waited on their office according to their order.(KJV-1611) 1Ch 6:32 Se yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:33 ============ 1Ch 6:33 And these are they that waited with their children. Of the sons of the Kohathites: Heman a singer, the son of Joel, the son of Shemuel,(KJV-1611) 1Ch 6:33 Men non sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Joèl, ki li menm te pitit Samyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:34 ============ 1Ch 6:34 The son of Elkanah, the son of Jeroham, the son of Eliel, the son of Toah,(KJV-1611) 1Ch 6:34 ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:35 ============ 1Ch 6:35 The son of Zuph, the son of Elkanah, the son of Mahath, the son of Amasai,(KJV-1611) 1Ch 6:35 ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:36 ============ 1Ch 6:36 The son of Elkanah, the son of Joel, the son of Azariah, the son of Zephaniah,(KJV-1611) 1Ch 6:36 ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Joèl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:37 ============ 1Ch 6:37 The son of Tahath, the son of Assir, the son of Ebiasaph, the son of Korah,(KJV-1611) 1Ch 6:37 ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:38 ============ 1Ch 6:38 The son of Izhar, the son of Kohath, the son of Levi, the son of Israel.(KJV-1611) 1Ch 6:38 ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:39 ============ 1Ch 6:39 And his brother Asaph, who stood on his right hand, even Asaph the son of Berachiah, the son of Shimea,(KJV-1611) 1Ch 6:39 Asaf, dezyèm sanba a, te kanpe sou bò dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:40 ============ 1Ch 6:40 The son of Michael, the son of Baaseiah, the son of Malchiah,(KJV-1611) 1Ch 6:40 ki li menm te pitit Mikayèl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:41 ============ 1Ch 6:41 The son of Ethni, the son of Zerah, the son of Adaiah,(KJV-1611) 1Ch 6:41 ki li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:42 ============ 1Ch 6:42 The son of Ethan, the son of Zimmah, the son of Shimei,(KJV-1611) 1Ch 6:42 ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:43 ============ 1Ch 6:43 The son of Jahath, the son of Gershom, the son of Levi.(KJV-1611) 1Ch 6:43 ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gèchon, ki li menm te pitit Levi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:44 ============ 1Ch 6:44 And their brethren the sons of Merari stood on the left hand: Ethan the son of Kishi, the son of Abdi, the son of Malluch,(KJV-1611) 1Ch 6:44 Etan ki soti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:45 ============ 1Ch 6:45 The son of Hashabiah, the son of Amaziah, the son of Hilkiah,(KJV-1611) 1Ch 6:45 ki li menm te pitit Asabija, ki limenm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:46 ============ 1Ch 6:46 The son of Amzi, the son of Bani, the son of Shamer,(KJV-1611) 1Ch 6:46 ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemè,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:47 ============ 1Ch 6:47 The son of Mahli, the son of Mushi, the son of Merari, the son of Levi.(KJV-1611) 1Ch 6:47 ki li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:48 ============ 1Ch 6:48 Their brethren also the Levites were appointed unto all manner of service of the tabernacle of the house of God.(KJV-1611) 1Ch 6:48 Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:49 ============ 1Ch 6:49 But Aaron and his sons offered upon the altar of the burnt offering, and on the altar of incense, and were appointed for all the work of the place most holy, and to make an atonement for Israel, according to all that Moses the servant of God had commanded.(KJV-1611) 1Ch 6:49 Se Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Seyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:50 ============ 1Ch 6:50 And these are the sons of Aaron; Eleazar his son, Phinehas his son, Abishua his son,(KJV-1611) 1Ch 6:50 Men fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:51 ============ 1Ch 6:51 Bukki his son, Uzzi his son, Zerahiah his son,(KJV-1611) 1Ch 6:51 Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:52 ============ 1Ch 6:52 Meraioth his son, Amariah his son, Ahitub his son,(KJV-1611) 1Ch 6:52 Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:53 ============ 1Ch 6:53 Zadok his son, Ahimaaz his son.(KJV-1611) 1Ch 6:53 Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:54 ============ 1Ch 6:54 Now these are their dwelling places throughout their castles in their coasts, of the sons of Aaron, of the families of the Kohathites: for theirs was the lot.(KJV-1611) 1Ch 6:54 Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avèk(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:55 ============ 1Ch 6:55 And they gave them Hebron in the land of Judah, and the suburbs thereof round about it.(KJV-1611) 1Ch 6:55 Ebwon, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:56 ============ 1Ch 6:56 But the fields of the city, and the villages thereof, they gave to Caleb the son of Jephunneh.(KJV-1611) 1Ch 6:56 Yo bay Kalèb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:57 ============ 1Ch 6:57 And to the sons of Aaron they gave the cities of Judah, namely, Hebron, the city of refuge, and Libnah with her suburbs, and Jattir, and Eshtemoa, with their suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:57 Men lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:58 ============ 1Ch 6:58 And Hilen with her suburbs, Debir with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:58 Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:59 ============ 1Ch 6:59 And Ashan with her suburbs, and Bethshemesh with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:59 Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:60 ============ 1Ch 6:60 And out of the tribe of Benjamin; Geba with her suburbs, and Alemeth with her suburbs, and Anathoth with her suburbs. All their cities throughout their families were thirteen cities.(KJV-1611) 1Ch 6:60 Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:61 ============ 1Ch 6:61 And unto the sons of Kohath, which were left of the family of that tribe, were cities given out of the half tribe, namely, out of the half tribe of Manasseh, by lot, ten cities.(KJV-1611) 1Ch 6:61 Yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rès moun nan fanmi Keyat la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:62 ============ 1Ch 6:62 And to the sons of Gershom throughout their families out of the tribe of Issachar, and out of the tribe of Asher, and out of the tribe of Naphtali, and out of the tribe of Manasseh in Bashan, thirteen cities.(KJV-1611) 1Ch 6:62 Trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:63 ============ 1Ch 6:63 Unto the sons of Merari were given by lot, throughout their families, out of the tribe of Reuben, and out of the tribe of Gad, and out of the tribe of Zebulun, twelve cities.(KJV-1611) 1Ch 6:63 Konsa tou, douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon soti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:64 ============ 1Ch 6:64 And the children of Israel gave to the Levites these cities with their suburbs.(KJV-1611) 1Ch 6:64 Se konsa moun pèp Izrayèl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:65 ============ 1Ch 6:65 And they gave by lot out of the tribe of the children of Judah, and out of the tribe of the children of Simeon, and out of the tribe of the children of Benjamin, these cities, which are called by their names.(KJV-1611) 1Ch 6:65 Yo te tire osò tou pou yo ba yo lavil nan pòsyon tè branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:66 ============ 1Ch 6:66 And the residue of the families of the sons of Kohath had cities of their coasts out of the tribe of Ephraim.(KJV-1611) 1Ch 6:66 Gen kèk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:67 ============ 1Ch 6:67 And they gave unto them, of the cities of refuge, Shechem in mount Ephraim with her suburbs; they gave also Gezer with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:67 Yo ba yo tou lavil Sichèm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bèt yo nan mòn Efrayim lan, Gezè ansanm ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:68 ============ 1Ch 6:68 And Jokmeam with her suburbs, and Bethhoron with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:68 Yokmeam ak tout savann pou bèt yo, Bètowon ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:69 ============ 1Ch 6:69 And Aijalon with her suburbs, and Gathrimmon with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:69 Ajalon ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:70 ============ 1Ch 6:70 And out of the half tribe of Manasseh; Aner with her suburbs, and Bileam with her suburbs, for the family of the remnant of the sons of Kohath.(KJV-1611) 1Ch 6:70 Gat-Rimon ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè ki pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, sou bò solèy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bèt yo, Jibleam ak tout savann pou bèt yo. Tou sa pou rès fanmi nan branch Keyat la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:71 ============ 1Ch 6:71 Unto the sons of Gershom were given out of the family of the half tribe of Manasseh, Golan in Bashan with her suburbs, and Ashtaroth with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:71 Nan pòsyon tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bò solèy leve, yo bay moun fanmi Gèchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bèt yo, lavil Astawòt ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:72 ============ 1Ch 6:72 And out of the tribe of Issachar; Kedesh with her suburbs, Daberath with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:72 Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadès ak tout savann pou bèt yo, Dobera ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:73 ============ 1Ch 6:73 And Ramoth with her suburbs, and Anem with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:73 Ramòt ak tout savann pou bèt yo, Anèm ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:74 ============ 1Ch 6:74 And out of the tribe of Asher; Mashal with her suburbs, and Abdon with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:74 Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bèt yo, Abdon ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:75 ============ 1Ch 6:75 And Hukok with her suburbs, and Rehob with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:75 Oukòk ak tout savann pou bèt yo, Reyòb ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:76 ============ 1Ch 6:76 And out of the tribe of Naphtali; Kedesh in Galilee with her suburbs, and Hammon with her suburbs, and Kirjathaim with her suburbs.(KJV-1611) 1Ch 6:76 Nan pòsyon tè pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadès nan peyi Galile ak tout savann pou bèt yo, Amon ak tout savann pou bèt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:77 ============ 1Ch 6:77 Unto the rest of the children of Merari were given out of the tribe of Zebulun, Rimmon with her suburbs, Tabor with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:77 Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bèt yo, Tabò ak tout savann pou bèt yo pou rès moun nan branch fanmi Merari a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:78 ============ 1Ch 6:78 And on the other side Jordan by Jericho, on the east side of Jordan, were given them out of the tribe of Reuben, Bezer in the wilderness with her suburbs, and Jahzah with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:78 Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:79 ============ 1Ch 6:79 Kedemoth also with her suburbs, and Mephaath with her suburbs:(KJV-1611) 1Ch 6:79 Kedemòt ak tout savann pou bèt yo, Mefat ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:80 ============ 1Ch 6:80 And out of the tribe of Gad; Ramoth in Gilead with her suburbs, and Mahanaim with her suburbs,(KJV-1611) 1Ch 6:80 Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramòt nan peyi Galarad ak tout savann pou bèt yo, Manayim ak tout savann pou bèt yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 6:81 ============ 1Ch 6:81 And Heshbon with her suburbs, and Jazer with her suburbs.(KJV-1611) 1Ch 6:81 Esbon ak tout savann pou bèt yo, Jazè ak tout savann pou bèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:1 ============ 1Ch 7:1 Now the sons of Issachar were, Tola, and Puah, Jashub, and Shimrom, four.(KJV-1611) 1Ch 7:1 Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:2 ============ 1Ch 7:2 And the sons of Tola; Uzzi, and Rephaiah, and Jeriel, and Jahmai, and Jibsam, and Shemuel, heads of their father's house, to wit, of Tola: they were valiant men of might in their generations; whose number was in the days of David two and twenty thousand and six hundred.(KJV-1611) 1Ch 7:2 Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan moun nan branch fanmi sa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:3 ============ 1Ch 7:3 And the sons of Uzzi; Izrahiah: and the sons of Izrahiah; Michael, and Obadiah, and Joel, Ishiah, five: all of them chief men.(KJV-1611) 1Ch 7:3 Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:4 ============ 1Ch 7:4 And with them, by their generations, after the house of their fathers, were bands of soldiers for war, six and thirty thousand men: for they had many wives and sons.(KJV-1611) 1Ch 7:4 Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:5 ============ 1Ch 7:5 And their brethren among all the families of Issachar were valiant men of might, reckoned in all by their genealogies fourscore and seven thousand.(KJV-1611) 1Ch 7:5 Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil gason antou, tout vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:6 ============ 1Ch 7:6 The sons of Benjamin; Bela, and Becher, and Jediael, three.(KJV-1611) 1Ch 7:6 Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:7 ============ 1Ch 7:7 And the sons of Bela; Ezbon, and Uzzi, and Uzziel, and Jerimoth, and Iri, five; heads of the house of their fathers, mighty men of valour; and were reckoned by their genealogies twenty and two thousand and thirty and four.(KJV-1611) 1Ch 7:7 Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat moun nan fanmi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:8 ============ 1Ch 7:8 And the sons of Becher; Zemira, and Joash, and Eliezer, and Elioenai, and Omri, and Jerimoth, and Abiah, and Anathoth, and Alameth. All these are the sons of Becher.(KJV-1611) 1Ch 7:8 Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:9 ============ 1Ch 7:9 And the number of them, after their genealogy by their generations, heads of the house of their fathers, mighty men of valour, was twenty thousand and two hundred.(KJV-1611) 1Ch 7:9 Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan gason antou sou zòd yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:10 ============ 1Ch 7:10 The sons also of Jediael; Bilhan: and the sons of Bilhan; Jeush, and Benjamin, and Ehud, and Chenaanah, and Zethan, and Tharshish, and Ahishahar.(KJV-1611) 1Ch 7:10 Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:11 ============ 1Ch 7:11 All these the sons of Jediael, by the heads of their fathers, mighty men of valour, were seventeen thousand and two hundred soldiers, fit to go out for war and battle.(KJV-1611) 1Ch 7:11 Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan gason bon pou fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:12 ============ 1Ch 7:12 Shuppim also, and Huppim, the children of Ir, and Hushim, the sons of Aher.(KJV-1611) 1Ch 7:12 Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:13 ============ 1Ch 7:13 The sons of Naphtali; Jahziel, and Guni, and Jezer, and Shallum, the sons of Bilhah.(KJV-1611) 1Ch 7:13 Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:14 ============ 1Ch 7:14 The sons of Manasseh; Ashriel, whom she bare: (but his concubine the Aramitess bare Machir the father of Gilead:(KJV-1611) 1Ch 7:14 Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:15 ============ 1Ch 7:15 And Machir took to wife the sister of Huppim and Shuppim, whose sister's name was Maachah;) and the name of the second was Zelophehad: and Zelophehad had daughters.(KJV-1611) 1Ch 7:15 Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:16 ============ 1Ch 7:16 And Maachah the wife of Machir bare a son, and she called his name Peresh; and the name of his brother was Sheresh; and his sons were Ulam and Rakem.(KJV-1611) 1Ch 7:16 Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:17 ============ 1Ch 7:17 And the sons of Ulam; Bedan. These were the sons of Gilead, the son of Machir, the son of Manasseh.(KJV-1611) 1Ch 7:17 Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:18 ============ 1Ch 7:18 And his sister Hammoleketh bare Ishod, and Abiezer, and Mahalah.(KJV-1611) 1Ch 7:18 Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:19 ============ 1Ch 7:19 And the sons of Shemidah were, Ahian, and Shechem, and Likhi, and Aniam.(KJV-1611) 1Ch 7:19 Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:20 ============ 1Ch 7:20 And the sons of Ephraim; Shuthelah, and Bered his son, and Tahath his son, and Eladah his son, and Tahath his son,(KJV-1611) 1Ch 7:20 Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:21 ============ 1Ch 7:21 And Zabad his son, and Shuthelah his son, and Ezer, and Elead, whom the men of Gath that were born in that land slew, because they came down to take away their cattle.(KJV-1611) 1Ch 7:21 ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:22 ============ 1Ch 7:22 And Ephraim their father mourned many days, and his brethren came to comfort him.(KJV-1611) 1Ch 7:22 Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:23 ============ 1Ch 7:23 And when he went in to his wife, she conceived, and bare a son, and he called his name Beriah, because it went evil with his house.(KJV-1611) 1Ch 7:23 Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:24 ============ 1Ch 7:24 (And his daughter was Sherah, who built Bethhoron the nether, and the upper, and Uzzensherah.)(KJV-1611) 1Ch 7:24 Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:25 ============ 1Ch 7:25 And Rephah was his son, also Resheph, and Telah his son, and Tahan his son.(KJV-1611) 1Ch 7:25 Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:26 ============ 1Ch 7:26 Laadan his son, Ammihud his son, Elishama his son.(KJV-1611) 1Ch 7:26 Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:27 ============ 1Ch 7:27 Non his son, Jehoshuah his son.(KJV-1611) 1Ch 7:27 ki te papa Noun. Noun te papa Jozye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:28 ============ 1Ch 7:28 And their possessions and habitations were, Bethel and the towns thereof, and eastward Naaran, and westward Gezer, with the towns thereof; Shechem also and the towns thereof, unto Gaza and the towns thereof:(KJV-1611) 1Ch 7:28 Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:29 ============ 1Ch 7:29 And by the borders of the children of Manasseh, Bethshean and her towns, Taanach and her towns, Megiddo and her towns, Dor and her towns. In these dwelt the children of Joseph the son of Israel.(KJV-1611) 1Ch 7:29 Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:30 ============ 1Ch 7:30 The sons of Asher; Imnah, and Isuah, and Ishuai, and Beriah, and Serah their sister.(KJV-1611) 1Ch 7:30 Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:31 ============ 1Ch 7:31 And the sons of Beriah; Heber, and Malchiel, who is the father of Birzavith.(KJV-1611) 1Ch 7:31 Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:32 ============ 1Ch 7:32 And Heber begat Japhlet, and Shomer, and Hotham, and Shua their sister.(KJV-1611) 1Ch 7:32 Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:33 ============ 1Ch 7:33 And the sons of Japhlet; Pasach, and Bimhal, and Ashvath. These are the children of Japhlet.(KJV-1611) 1Ch 7:33 Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:34 ============ 1Ch 7:34 And the sons of Shamer; Ahi, and Rohgah, Jehubbah, and Aram.(KJV-1611) 1Ch 7:34 Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:35 ============ 1Ch 7:35 And the sons of his brother Helem; Zophah, and Imna, and Shelesh, and Amal.(KJV-1611) 1Ch 7:35 Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:36 ============ 1Ch 7:36 The sons of Zophah; Suah, and Harnepher, and Shual, and Beri, and Imrah,(KJV-1611) 1Ch 7:36 Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:37 ============ 1Ch 7:37 Bezer, and Hod, and Shamma, and Shilshah, and Ithran, and Beera.(KJV-1611) 1Ch 7:37 Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:38 ============ 1Ch 7:38 And the sons of Jether; Jephunneh, and Pispah, and Ara.(KJV-1611) 1Ch 7:38 Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:39 ============ 1Ch 7:39 And the sons of Ulla; Arah, and Haniel, and Rezia.(KJV-1611) 1Ch 7:39 Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 7:40 ============ 1Ch 7:40 All these were the children of Asher, heads of their father's house, choice and mighty men of valour, chief of the princes. And the number throughout the genealogy of them that were apt to the war and to battle was twenty and six thousand men.(KJV-1611) 1Ch 7:40 Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:1 ============ 1Ch 8:1 Now Benjamin begat Bela his firstborn, Ashbel the second, and Aharah the third,(KJV-1611) 1Ch 8:1 Benjamen te gen senk pitit gason. Pi gran an te rele Bela, dezyèm lan Achbèl, twazyèm lan Akra,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:2 ============ 1Ch 8:2 Nohah the fourth, and Rapha the fifth.(KJV-1611) 1Ch 8:2 katriyèm lan Nora, senkyèm lan Rafa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:3 ============ 1Ch 8:3 And the sons of Bela were, Addar, and Gera, and Abihud,(KJV-1611) 1Ch 8:3 Men non pitit Bela yo: Ada, Gera, Abiyoud,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:4 ============ 1Ch 8:4 And Abishua, and Naaman, and Ahoah,(KJV-1611) 1Ch 8:4 Abichwa, Naaman, Akora,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:5 ============ 1Ch 8:5 And Gera, and Shephuphan, and Huram.(KJV-1611) 1Ch 8:5 Gera, Chefoufan ak Ouram.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:6 ============ 1Ch 8:6 And these are the sons of Ehud: these are the heads of the fathers of the inhabitants of Geba, and they removed them to Manahath:(KJV-1611) 1Ch 8:6 (Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:7 ============ 1Ch 8:7 And Naaman, and Ahiah, and Gera, he removed them, and begat Uzza, and Ahihud.(KJV-1611) 1Ch 8:7 Men non pitit Eyoud yo: Naaman, Ajija ak Gera. Yo te chèf branch fanmi ki t'ap viv nan zòn Geba a. Apre sa, yo mete yo deyò, y' al rete Manarat. Se Gera, papa Ouza ak Akiyoud, ki te mennen yo al rete Manarat la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:8 ============ 1Ch 8:8 And Shaharaim begat children in the country of Moab, after he had sent them away; Hushim and Baara were his wives.(KJV-1611) 1Ch 8:8 (Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:9 ============ 1Ch 8:9 And he begat of Hodesh his wife, Jobab, and Zibia, and Mesha, and Malcham,(KJV-1611) 1Ch 8:9 Charayim divòse ak de madanm li yo: Ouchim ak Bara. Apre sa, li al rete nan peyi Moab, li marye ak Odèch ki ba li sèt pitit gason: Jobab, Zibya, Mecha, Malkam,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:10 ============ 1Ch 8:10 And Jeuz, and Shachia, and Mirma. These were his sons, heads of the fathers.(KJV-1611) 1Ch 8:10 Jeou, Sakya, Mima. Tout pitit gason l' yo te chèf fanmi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:11 ============ 1Ch 8:11 And of Hushim he begat Abitub, and Elpaal.(KJV-1611) 1Ch 8:11 Li te gen de lòt pitit gason Ouchim te fè pou li: Abitoub ak Elpal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:12 ============ 1Ch 8:12 The sons of Elpaal; Eber, and Misham, and Shamed, who built Ono, and Lod, with the towns thereof:(KJV-1611) 1Ch 8:12 Elpal te gen twa pitit gason: Ebè, Micham ak Chèmèd. Se Chèmèd sa a ki te bati lavil Ono ak lavil Lòd ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont li yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:13 ============ 1Ch 8:13 Beriah also, and Shema, who were heads of the fathers of the inhabitants of Aijalon, who drove away the inhabitants of Gath:(KJV-1611) 1Ch 8:13 Berya ak Chema te chèf fanmi moun ki te rete lavil Ajalon. Se yo ki te mete ansyen moun ki te rete lavil Gat yo deyò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:14 ============ 1Ch 8:14 And Ahio, Shashak, and Jeremoth,(KJV-1611) 1Ch 8:14 Men pitit Berya yo: Akio, Chachak, Jeremòt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:15 ============ 1Ch 8:15 And Zebadiah, and Arad, and Ader,(KJV-1611) 1Ch 8:15 Zebadya, Arad, Edè,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:16 ============ 1Ch 8:16 And Michael, and Ispah, and Joha, the sons of Beriah;(KJV-1611) 1Ch 8:16 Michayèl, Ichpa ak Joa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:17 ============ 1Ch 8:17 And Zebadiah, and Meshullam, and Hezeki, and Heber,(KJV-1611) 1Ch 8:17 Men non pitit Elpal yo: Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:18 ============ 1Ch 8:18 Ishmerai also, and Jezliah, and Jobab, the sons of Elpaal;(KJV-1611) 1Ch 8:18 Ichmerayi, Izlija ak Jobab.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:19 ============ 1Ch 8:19 And Jakim, and Zichri, and Zabdi,(KJV-1611) 1Ch 8:19 Men pitit Chimèyi yo: Jakim, Zikri, Zabdi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:20 ============ 1Ch 8:20 And Elienai, and Zilthai, and Eliel,(KJV-1611) 1Ch 8:20 Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:21 ============ 1Ch 8:21 And Adaiah, and Beraiah, and Shimrath, the sons of Shimhi;(KJV-1611) 1Ch 8:21 Adaja, Beraja ak Chimrat.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:22 ============ 1Ch 8:22 And Ishpan, and Heber, and Eliel,(KJV-1611) 1Ch 8:22 Men pitit Chachak yo: Ichpan, Ebè, Eliyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:23 ============ 1Ch 8:23 And Abdon, and Zichri, and Hanan,(KJV-1611) 1Ch 8:23 Abdon, Zikri, Anan,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:24 ============ 1Ch 8:24 And Hananiah, and Elam, and Antothijah,(KJV-1611) 1Ch 8:24 Ananya, Elam, Antotija,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:25 ============ 1Ch 8:25 And Iphedeiah, and Penuel, the sons of Shashak;(KJV-1611) 1Ch 8:25 Ifdeja ak Penwèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:26 ============ 1Ch 8:26 And Shamsherai, and Shehariah, and Athaliah,(KJV-1611) 1Ch 8:26 Men pitit Jeworam yo: Chamcherayi, Chearya, Atalya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:27 ============ 1Ch 8:27 And Jaresiah, and Eliah, and Zichri, the sons of Jeroham.(KJV-1611) 1Ch 8:27 Jarechya, Elija ak Zikri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:28 ============ 1Ch 8:28 These were heads of the fathers, by their generations, chief men. These dwelt in Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 8:28 Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:29 ============ 1Ch 8:29 And at Gibeon dwelt the father of Gibeon; whose wife's name was Maachah:(KJV-1611) 1Ch 8:29 Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:30 ============ 1Ch 8:30 And his firstborn son Abdon, and Zur, and Kish, and Baal, and Nadab,(KJV-1611) 1Ch 8:30 Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Nè, Nadab,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:31 ============ 1Ch 8:31 And Gedor, and Ahio, and Zacher.(KJV-1611) 1Ch 8:31 Gedò, Akio, Zekè(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:32 ============ 1Ch 8:32 And Mikloth begat Shimeah. And these also dwelt with their brethren in Jerusalem, over against them.(KJV-1611) 1Ch 8:32 ak Miklòt ki te papa Chimea. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:33 ============ 1Ch 8:33 And Ner begat Kish, and Kish begat Saul, and Saul begat Jonathan, and Malchishua, and Abinadab, and Eshbaal.(KJV-1611) 1Ch 8:33 Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:34 ============ 1Ch 8:34 And the son of Jonathan was Meribbaal; and Meribbaal begat Micah.(KJV-1611) 1Ch 8:34 Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:35 ============ 1Ch 8:35 And the sons of Micah were, Pithon, and Melech, and Tarea, and Ahaz.(KJV-1611) 1Ch 8:35 Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:36 ============ 1Ch 8:36 And Ahaz begat Jehoadah; and Jehoadah begat Alemeth, and Azmaveth, and Zimri; and Zimri begat Moza,(KJV-1611) 1Ch 8:36 Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:37 ============ 1Ch 8:37 And Moza begat Binea: Rapha was his son, Eleasah his son, Azel his son:(KJV-1611) 1Ch 8:37 Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:38 ============ 1Ch 8:38 And Azel had six sons, whose names are these, Azrikam, Bocheru, and Ishmael, and Sheariah, and Obadiah, and Hanan. All these were the sons of Azel.(KJV-1611) 1Ch 8:38 Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokwou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:39 ============ 1Ch 8:39 And the sons of Eshek his brother were, Ulam his firstborn, Jehush the second, and Eliphelet the third.(KJV-1611) 1Ch 8:39 Echèk, frè Azèl la, te gen twa pitit gason: Oulam, Jeouch ak Elifelèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 8:40 ============ 1Ch 8:40 And the sons of Ulam were mighty men of valour, archers, and had many sons, and sons' sons, an hundred and fifty. All these are of the sons of Benjamin.(KJV-1611) 1Ch 8:40 Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:1 ============ 1Ch 9:1 So all Israel were reckoned by genealogies; and, behold, they were written in the book of the kings of Israel and Judah, who were carried away to Babylon for their transgression.(KJV-1611) 1Ch 9:1 Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t' fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:2 ============ 1Ch 9:2 Now the first inhabitants that dwelt in their possessions in their cities were, the Israelites, the priests, Levites, and the Nethinims.(KJV-1611) 1Ch 9:2 Premye moun nan pèp Izrayèl la ki te tounen vin rete sou tè yo ak nan lavil yo se te prèt yo, moun Levi yo ak moun k'ap travay nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:3 ============ 1Ch 9:3 And in Jerusalem dwelt of the children of Judah, and of the children of Benjamin, and of the children of Ephraim, and Manasseh;(KJV-1611) 1Ch 9:3 Se lavil Jerizalèm moun nan branch fanmi Jida, moun nan branch fanmi Benjamen, moun nan branch fanmi Efrayim ak moun nan branch fanmi Manase, yo tout al rete.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:4 ============ 1Ch 9:4 Uthai the son of Ammihud, the son of Omri, the son of Imri, the son of Bani, of the children of Pharez the son of Judah.(KJV-1611) 1Ch 9:4 Nan moun Jida yo te gen Outayi, pitit gason Amiyoud. Amiyoub sa a te pitit Omri, Omri te pitit Imri, Imri te pitit gason Bani, Bani te soti nan fanmi Perèz, pitit Jida.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:5 ============ 1Ch 9:5 And of the Shilonites; Asaiah the firstborn, and his sons.(KJV-1611) 1Ch 9:5 Nan fanmi Chela a te gen Asaja ki te chèf fanmi an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:6 ============ 1Ch 9:6 And of the sons of Zerah; Jeuel, and their brethren, six hundred and ninety.(KJV-1611) 1Ch 9:6 Nan fanmi Zerak la te gen Jeoujèl ki te chèf fanmi an. Sa te fè antou sisankatrevendis moun nan fanmi Jida a ki te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:7 ============ 1Ch 9:7 And of the sons of Benjamin; Sallu the son of Meshullam, the son of Hodaviah, the son of Hasenuah,(KJV-1611) 1Ch 9:7 Nan moun fanmi Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam, ki te pitit gason Odavya, ki li menm te pitit gason Asenwa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:8 ============ 1Ch 9:8 And Ibneiah the son of Jeroham, and Elah the son of Uzzi, the son of Michri, and Meshullam the son of Shephathiah, the son of Reuel, the son of Ibnijah;(KJV-1611) 1Ch 9:8 Te gen Jibneja, pitit gason Jeworam, Ela, pitit gason Ouzi, pitit pitit Mikri, ak Mechoulam, pitit Chepatya, ki te pitit Reouyèl, pitit pitit Jibniya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:9 ============ 1Ch 9:9 And their brethren, according to their generations, nine hundred and fifty and six. All these men were chief of the fathers in the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 9:9 Sa te fè antou nèfsansenkannsis moun nan fanmi Benjamen an ki te rete lavil Jerizalèm. Yo tout te chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:10 ============ 1Ch 9:10 And of the priests; Jedaiah, and Jehoiarib, and Jachin,(KJV-1611) 1Ch 9:10 Men prèt ki t'ap viv nan lavil la. Te gen Jedaja, Jeojarib, Jaken,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:11 ============ 1Ch 9:11 And Azariah the son of Hilkiah, the son of Meshullam, the son of Zadok, the son of Meraioth, the son of Ahitub, the ruler of the house of God;(KJV-1611) 1Ch 9:11 Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:12 ============ 1Ch 9:12 And Adaiah the son of Jeroham, the son of Pashur, the son of Malchijah, and Maasiai the son of Adiel, the son of Jahzerah, the son of Meshullam, the son of Meshillemith, the son of Immer;(KJV-1611) 1Ch 9:12 Lèfini, te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pachou ki te pitit Malkija. Te gen ankò Masayi, pitit Adyèl. Adyèl sa a te pitit Jazera, Jazera te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Mechilemit, Mechilemit te pitit Ime.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:13 ============ 1Ch 9:13 And their brethren, heads of the house of their fathers, a thousand and seven hundred and threescore; very able men for the work of the service of the house of God.(KJV-1611) 1Ch 9:13 Prèt sa yo ak fanmi yo te fè antou milsètsanswasant moun ki te chèf fanmi, vanyan gason ki te bon pou sèvis kay Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:14 ============ 1Ch 9:14 And of the Levites; Shemaiah the son of Hasshub, the son of Azrikam, the son of Hashabiah, of the sons of Merari;(KJV-1611) 1Ch 9:14 Men moun Levi ki te rete nan lavil la. Te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, nan branch fanmi Merari a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:15 ============ 1Ch 9:15 And Bakbakkar, Heresh, and Galal, and Mattaniah the son of Micah, the son of Zichri, the son of Asaph;(KJV-1611) 1Ch 9:15 Te gen Bakbaka, Erès, Galal ak Matanya. Matanya sa a te pitit Mika. Mika te pitit Zikri, Zikri li menm te pitit Asaf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:16 ============ 1Ch 9:16 And Obadiah the son of Shemaiah, the son of Galal, the son of Jeduthun, and Berechiah the son of Asa, the son of Elkanah, that dwelt in the villages of the Netophathites.(KJV-1611) 1Ch 9:16 Te gen Obadya, pitit Chemaya. Chemaya sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun. Pou fini, te gen Berekya, pitit Asa, ki te pitit Elkana ki te rete nan ti bouk moun Netofa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:17 ============ 1Ch 9:17 And the porters were, Shallum, and Akkub, and Talmon, and Ahiman, and their brethren: Shallum was the chief;(KJV-1611) 1Ch 9:17 Men gad ki t'ap fè pòs nan pòtay Tanp lan. Se te Chaloum, Akoub, Talmon, Akiman ak lòt fanmi yo. Se Chaloum ki te chèf yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:18 ============ 1Ch 9:18 Who hitherto waited in the king's gate eastward: they were porters in the companies of the children of Levi.(KJV-1611) 1Ch 9:18 Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:19 ============ 1Ch 9:19 And Shallum the son of Kore, the son of Ebiasaph, the son of Korah, and his brethren, of the house of his father, the Korahites, were over the work of the service, keepers of the gates of the tabernacle: and their fathers, being over the host of the LORD, were keepers of the entry.(KJV-1611) 1Ch 9:19 Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Seyè a, tankou zansèt yo te fè l' anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:20 ============ 1Ch 9:20 And Phinehas the son of Eleazar was the ruler over them in time past, and the LORD was with him.(KJV-1611) 1Ch 9:20 Yon lè se Fineas, pitit Eleaza a, ki te chèf yo. Seyè a te toujou kanpe avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:21 ============ 1Ch 9:21 And Zechariah the son of Meshelemiah was porter of the door of the tabernacle of the congregation.(KJV-1611) 1Ch 9:21 Zakari, pitit Mechelemya, te gad nan pòtay Tant Randevou a tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:22 ============ 1Ch 9:22 All these which were chosen to be porters in the gates were two hundred and twelve. These were reckoned by their genealogy in their villages, whom David and Samuel the seer did ordain in their set office.(KJV-1611) 1Ch 9:22 Antou te gen desandouz gason yo te chwazi pou fè pòs nan pòtay tanp lan, dapre liv rejis fanmi yo nan ti bouk kote yo moun. Se wa David ak pwofèt Samyèl ki te bay zansèt yo reskonsablite sa a pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:23 ============ 1Ch 9:23 So they and their children had the oversight of the gates of the house of the LORD, namely, the house of the tabernacle, by wards.(KJV-1611) 1Ch 9:23 Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:24 ============ 1Ch 9:24 In four quarters were the porters, toward the east, west, north, and south.(KJV-1611) 1Ch 9:24 Te gen kat pòtay ki te bay sou kat bòn direksyon yo: lès, lwès, nò ak sid. Pou chak pòtay te gen yon chèf gad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:25 ============ 1Ch 9:25 And their brethren, which were in their villages, were to come after seven days from time to time with them.(KJV-1611) 1Ch 9:25 Fanmi yo ki te rete nan ti bouk yo te vin ede yo nan travay la pandan sèt jou, yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:26 ============ 1Ch 9:26 For these Levites, the four chief porters, were in their set office, and were over the chambers and treasuries of the house of God.(KJV-1611) 1Ch 9:26 Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:27 ============ 1Ch 9:27 And they lodged round about the house of God, because the charge was upon them, and the opening thereof every morning pertained to them.(KJV-1611) 1Ch 9:27 Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l'. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:28 ============ 1Ch 9:28 And certain of them had the charge of the ministering vessels, that they should bring them in and out by tale.(KJV-1611) 1Ch 9:28 Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout veso yo sèvi pou fè seremoni yo. Se pou yo te kontwole yo ni anvan ni apre chak seremoni yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:29 ============ 1Ch 9:29 Some of them also were appointed to oversee the vessels, and all the instruments of the sanctuary, and the fine flour, and the wine, and the oil, and the frankincense, and the spices.(KJV-1611) 1Ch 9:29 Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab tout rès bagay ki te nan Tanp lan ansanm ak farin frans, diven, lwil oliv, lansan ak odè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:30 ============ 1Ch 9:30 And some of the sons of the priests made the ointment of the spices.(KJV-1611) 1Ch 9:30 Men, se prèt yo ki te reskonsab pare odè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:31 ============ 1Ch 9:31 And Mattithiah, one of the Levites, who was the firstborn of Shallum the Korahite, had the set office over the things that were made in the pans.(KJV-1611) 1Ch 9:31 Se yon moun Levi yo te rele Matitya, premye pitit Chaloum nan fanmi Kore a, ki te toujou reskonsab fè gato pou ofrann yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:32 ============ 1Ch 9:32 And other of their brethren, of the sons of the Kohathites, were over the shewbread, to prepare it every sabbath.(KJV-1611) 1Ch 9:32 Lòt moun Levi nan fanmi Keyat la te reskonsab pare pen pou yo te mete chak jou repo nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:33 ============ 1Ch 9:33 And these are the singers, chief of the fathers of the Levites, who remaining in the chambers were free: for they were employed in that work day and night.(KJV-1611) 1Ch 9:33 Gen en nan fanmi Levi yo ki te sanba. Chèf fanmi sa yo te viv nan pyès chanm ki te nan Tanp lan. Yo pa t' gen lòt okipasyon pase lajounen kou lannwit yo t'ap fè travay yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:34 ============ 1Ch 9:34 These chief fathers of the Levites were chief throughout their generations; these dwelt at Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 9:34 Tout mesye sa yo te chèf fanmi moun Levi yo, dapre zansèt yo rive jòdi a. Yo te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:35 ============ 1Ch 9:35 And in Gibeon dwelt the father of Gibeon, Jehiel, whose wife's name was Maachah:(KJV-1611) 1Ch 9:35 Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:36 ============ 1Ch 9:36 And his firstborn son Abdon, then Zur, and Kish, and Baal, and Ner, and Nadab.(KJV-1611) 1Ch 9:36 Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Baal, Nè, Nadak,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:37 ============ 1Ch 9:37 And Gedor, and Ahio, and Zechariah, and Mikloth.(KJV-1611) 1Ch 9:37 Gedò, Akio, Zèkè ak Miklòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:38 ============ 1Ch 9:38 And Mikloth begat Shimeam. And they also dwelt with their brethren at Jerusalem, over against their brethren.(KJV-1611) 1Ch 9:38 Se Miklòt sa a ki te papa Chimeam. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:39 ============ 1Ch 9:39 And Ner begat Kish; and Kish begat Saul; and Saul begat Jonathan, and Malchishua, and Abinadab, and Eshbaal.(KJV-1611) 1Ch 9:39 Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:40 ============ 1Ch 9:40 And the son of Jonathan was Meribbaal: and Meribbaal begat Micah.(KJV-1611) 1Ch 9:40 Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:41 ============ 1Ch 9:41 And the sons of Micah were, Pithon, and Melech, and Tahrea, and Ahaz.(KJV-1611) 1Ch 9:41 Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:42 ============ 1Ch 9:42 And Ahaz begat Jarah; and Jarah begat Alemeth, and Azmaveth, and Zimri; and Zimri begat Moza;(KJV-1611) 1Ch 9:42 Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:43 ============ 1Ch 9:43 And Moza begat Binea; and Rephaiah his son, Eleasah his son, Azel his son.(KJV-1611) 1Ch 9:43 Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 9:44 ============ 1Ch 9:44 And Azel had six sons, whose names are these, Azrikam, Bocheru, and Ishmael, and Sheariah, and Obadiah, and Hanan: these were the sons of Azel.(KJV-1611) 1Ch 9:44 Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokewou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan, Se non pitit gason Azèl yo sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:1 ============ 1Ch 10:1 Now the Philistines fought against Israel; and the men of Israel fled from before the Philistines, and fell down slain in mount Gilboa.(KJV-1611) 1Ch 10:1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:2 ============ 1Ch 10:2 And the Philistines followed hard after Saul, and after his sons; and the Philistines slew Jonathan, and Abinadab, and Malchishua, the sons of Saul.(KJV-1611) 1Ch 10:2 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:3 ============ 1Ch 10:3 And the battle went sore against Saul, and the archers hit him, and he was wounded of the archers.(KJV-1611) 1Ch 10:3 Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:4 ============ 1Ch 10:4 Then said Saul to his armourbearer, Draw thy sword, and thrust me through therewith; lest these uncircumcised come and abuse me. But his armourbearer would not; for he was sore afraid. So Saul took a sword, and fell upon it.(KJV-1611) 1Ch 10:4 Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:5 ============ 1Ch 10:5 And when his armourbearer saw that Saul was dead, he fell likewise on the sword, and died.(KJV-1611) 1Ch 10:5 Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:6 ============ 1Ch 10:6 So Saul died, and his three sons, and all his house died together.(KJV-1611) 1Ch 10:6 Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l' yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:7 ============ 1Ch 10:7 And when all the men of Israel that were in the valley saw that they fled, and that Saul and his sons were dead, then they forsook their cities, and fled: and the Philistines came and dwelt in them.(KJV-1611) 1Ch 10:7 Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:8 ============ 1Ch 10:8 And it came to pass on the morrow, when the Philistines came to strip the slain, that they found Saul and his sons fallen in mount Gilboa.(KJV-1611) 1Ch 10:8 Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:9 ============ 1Ch 10:9 And when they had stripped him, they took his head, and his armour, and sent into the land of the Philistines round about, to carry tidings unto their idols, and to the people.(KJV-1611) 1Ch 10:9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:10 ============ 1Ch 10:10 And they put his armour in the house of their gods, and fastened his head in the temple of Dagon.(KJV-1611) 1Ch 10:10 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:11 ============ 1Ch 10:11 And when all Jabeshgilead heard all that the Philistines had done to Saul,(KJV-1611) 1Ch 10:11 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:12 ============ 1Ch 10:12 They arose, all the valiant men, and took away the body of Saul, and the bodies of his sons, and brought them to Jabesh, and buried their bones under the oak in Jabesh, and fasted seven days.(KJV-1611) 1Ch 10:12 tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:13 ============ 1Ch 10:13 So Saul died for his transgression which he committed against the LORD, even against the word of the LORD, which he kept not, and also for asking counsel of one that had a familiar spirit, to enquire of it;(KJV-1611) 1Ch 10:13 Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 10:14 ============ 1Ch 10:14 And enquired not of the LORD: therefore he slew him, and turned the kingdom unto David the son of Jesse.(KJV-1611) 1Ch 10:14 pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:1 ============ 1Ch 11:1 Then all Israel gathered themselves to David unto Hebron, saying, Behold, we are thy bone and thy flesh.(KJV-1611) 1Ch 11:1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:2 ============ 1Ch 11:2 And moreover in time past, even when Saul was king, thou wast he that leddest out and broughtest in Israel: and the LORD thy God said unto thee, Thou shalt feed my people Israel, and thou shalt be ruler over my people Israel.(KJV-1611) 1Ch 11:2 Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:3 ============ 1Ch 11:3 Therefore came all the elders of Israel to the king to Hebron; and David made a covenant with them in Hebron before the LORD; and they anointed David king over Israel, according to the word of the LORD by Samuel.(KJV-1611) 1Ch 11:3 Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:4 ============ 1Ch 11:4 And David and all Israel went to Jerusalem, which is Jebus; where the Jebusites were, the inhabitants of the land.(KJV-1611) 1Ch 11:4 David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:5 ============ 1Ch 11:5 And the inhabitants of Jebus said to David, Thou shalt not come hither. Nevertheless David took the castle of Zion, which is the city of David.(KJV-1611) 1Ch 11:5 Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:6 ============ 1Ch 11:6 And David said, Whosoever smiteth the Jebusites first shall be chief and captain. So Joab the son of Zeruiah went first up, and was chief.(KJV-1611) 1Ch 11:6 David pou tèt pa l' te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l' chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l' lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:7 ============ 1Ch 11:7 And David dwelt in the castle; therefore they called it the city of David.(KJV-1611) 1Ch 11:7 Apre sa, David al rete nan fò a. Se poutèt sa yo rele l' lavil David la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:8 ============ 1Ch 11:8 And he built the city round about, even from Millo round about: and Joab repaired the rest of the city.(KJV-1611) 1Ch 11:8 Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. Joab menm rebati rès lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:9 ============ 1Ch 11:9 So David waxed greater and greater: for the LORD of hosts was with him.(KJV-1611) 1Ch 11:9 Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:10 ============ 1Ch 11:10 These also are the chief of the mighty men whom David had, who strengthened themselves with him in his kingdom, and with all Israel, to make him king, according to the word of the LORD concerning Israel.(KJV-1611) 1Ch 11:10 Men non chèf vanyan sòlda David yo. Se yo ki te soutni gouvènman David la ansanm ak tout pèp Izrayèl la pou l' te ka wa, jan Seyè a te pwomèt moun Izrayèl yo sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:11 ============ 1Ch 11:11 And this is the number of the mighty men whom David had; Jashobeam, an Hachmonite, the chief of the captains: he lifted up his spear against three hundred slain by him at one time.(KJV-1611) 1Ch 11:11 Pou konmanse, te gen Jakobeyam ki soti nan branch fanmi Akmoni an. Se li menm ki te chèf twa pi vanyan yo. Pou kont li, li batay ak twasan moun ak frenn li ase. Li touye yo tout yon sèl kou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:12 ============ 1Ch 11:12 And after him was Eleazar the son of Dodo, the Ahohite, who was one of the three mighties.(KJV-1611) 1Ch 11:12 Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit gason Dodo, pitit yon moun lavil Akwo. Se te yonn nan twa pi vanyan yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:13 ============ 1Ch 11:13 He was with David at Pasdammim, and there the Philistines were gathered together to battle, where was a parcel of ground full of barley; and the people fled from before the Philistines.(KJV-1611) 1Ch 11:13 Li te avèk David lè David t'ap goumen ak moun Filisti yo nan batay bò Pasdamen an. Li te nan yon jaden lòj lè sòlda pèp Izrayèl yo konmanse kouri devan moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:14 ============ 1Ch 11:14 And they set themselves in the midst of that parcel, and delivered it, and slew the Philistines; and the LORD saved them by a great deliverance.(KJV-1611) 1Ch 11:14 Se konsa, li menm ak sòlda li yo, yo tout rete kanpe nan mitan jaden lòj la, yo kenbe tèt ak moun Filisti yo, yo bat yo byen bat, yo kraze yo. Se konsa Seyè a te fè yo genyen batay la sou lènmi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:15 ============ 1Ch 11:15 Now three of the thirty captains went down to the rock to David, into the cave of Adullam; and the host of the Philistines encamped in the valley of Rephaim.(KJV-1611) 1Ch 11:15 Yon lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup Trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn moun Refayim yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:16 ============ 1Ch 11:16 And David was then in the hold, and the Philistines' garrison was then at Bethlehem.(KJV-1611) 1Ch 11:16 Lè sa a, David te nan fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:17 ============ 1Ch 11:17 And David longed, and said, Oh that one would give me drink of the water of the well of Bethlehem, that is at the gate!(KJV-1611) 1Ch 11:17 Yon sèl anvi pran David, li di konsa: -Ki moun ki va fè m' bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan?(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:18 ============ 1Ch 11:18 And the three brake through the host of the Philistines, and drew water out of the well of Bethlehem, that was by the gate, and took it, and brought it to David: but David would not drink of it, but poured it out to the LORD.(KJV-1611) 1Ch 11:18 Lamenm twa mesye yo desann, yo fofile kò yo nan mitan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l' vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l' atè, li ofri l' bay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:19 ============ 1Ch 11:19 And said, My God forbid it me, that I should do this thing: shall I drink the blood of these men that have put their lives in jeopardy? for with the jeopardy of their lives they brought it. Therefore he would not drink it. These things did these three mightiest.(KJV-1611) 1Ch 11:19 Li di konsa: -Seyè, mwen pa gen dwa bwè dlo sa a. Se tankou si m' ta bwè san mesye sa yo ki riske lavi yo pou y' al chache l'. Se konsa, li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan gason sa yo te fè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:20 ============ 1Ch 11:20 And Abishai the brother of Joab, he was chief of the three: for lifting up his spear against three hundred, he slew them, and had a name among the three.(KJV-1611) 1Ch 11:20 Abichayi, frè Joab, te chèf trant vanyan yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant vanyan yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:21 ============ 1Ch 11:21 Of the three, he was more honourable than the two; for he was their captain: howbeit he attained not to the first three.(KJV-1611) 1Ch 11:21 Se li menm ki te resevwa plis lwanj nan Trant vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:22 ============ 1Ch 11:22 Benaiah the son of Jehoiada, the son of a valiant man of Kabzeel, who had done many acts; he slew two lionlike men of Moab: also he went down and slew a lion in a pit in a snowy day.(KJV-1611) 1Ch 11:22 Benaja, pitit gason Jeojada a, moun lavil Kabseyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pa t' manke kouraj. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, moun lavil Moab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo al touye yon lyon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:23 ============ 1Ch 11:23 And he slew an Egyptian, a man of great stature, five cubits high; and in the Egyptian's hand was a spear like a weaver's beam; and he went down to him with a staff, and plucked the spear out of the Egyptian's hand, and slew him with his own spear.(KJV-1611) 1Ch 11:23 Li touye tou yon moun peyi Lejip, yon gwo potorik gason sèt pye sis pous wotè, ki te gen yon gwo frenn nan men li. Frenn lan te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo mach pilon. Benaja menm al atake li ak yon baton ase. Li wete lans lan nan men moun peyi Lejip la, epi li touye l' avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:24 ============ 1Ch 11:24 These things did Benaiah the son of Jehoiada, and had the name among the three mighties.(KJV-1611) 1Ch 11:24 Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup Trant Vanyan yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:25 ============ 1Ch 11:25 Behold, he was honourable among the thirty, but attained not to the first three: and David set him over his guard.(KJV-1611) 1Ch 11:25 Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant Vanyan yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa t' janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l' nan gad kò li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:26 ============ 1Ch 11:26 Also the valiant men of the armies were, Asahel the brother of Joab, Elhanan the son of Dodo of Bethlehem,(KJV-1611) 1Ch 11:26 Men non lòt vanyan sòlda yo: Asayèl, frè Joab la, Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:27 ============ 1Ch 11:27 Shammoth the Harorite, Helez the Pelonite,(KJV-1611) 1Ch 11:27 Chamòt, moun lavil Awòd, Elèz, moun lavil Palon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:28 ============ 1Ch 11:28 Ira the son of Ikkesh the Tekoite, Abiezer the Antothite,(KJV-1611) 1Ch 11:28 Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, Abyezè, moun lavil Anatòt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:29 ============ 1Ch 11:29 Sibbecai the Hushathite, Ilai the Ahohite,(KJV-1611) 1Ch 11:29 Sibekayi, moun lavil Oucha, Ilayi, moun lavil Awoya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:30 ============ 1Ch 11:30 Maharai the Netophathite, Heled the son of Baanah the Netophathite,(KJV-1611) 1Ch 11:30 Marayi, moun lavil Netofa, Elèb, pitit gason Bana, moun lavil Netofa,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:31 ============ 1Ch 11:31 Ithai the son of Ribai of Gibeah, that pertained to the children of Benjamin, Benaiah the Pirathonite,(KJV-1611) 1Ch 11:31 Itayi, pitit gason Ribayi, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo, Benaja, moun lavil Piraton,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:32 ============ 1Ch 11:32 Hurai of the brooks of Gaash, Abiel the Arbathite,(KJV-1611) 1Ch 11:32 Ourayi, moun ravin Gach yo, Abiyèl, moun lavil Araba,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:33 ============ 1Ch 11:33 Azmaveth the Baharumite, Eliahba the Shaalbonite,(KJV-1611) 1Ch 11:33 Azmavèt, moun lavil Baawoum, Elyaba, moun lavil Chalbon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:34 ============ 1Ch 11:34 The sons of Hashem the Gizonite, Jonathan the son of Shage the Hararite,(KJV-1611) 1Ch 11:34 Pitit gason Achèm yo, moun lavil Gizon, Jonatan, pitit gason Chage, moun lavil Ara,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:35 ============ 1Ch 11:35 Ahiam the son of Sacar the Hararite, Eliphal the son of Ur,(KJV-1611) 1Ch 11:35 Akiyam, pitit gason Saka, moun lavil Ara, Elifal, pitit gason Our,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:36 ============ 1Ch 11:36 Hepher the Mecherathite, Ahijah the Pelonite,(KJV-1611) 1Ch 11:36 Efè, moun lavil Mekera, Akija, moun lavil Palon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:37 ============ 1Ch 11:37 Hezro the Carmelite, Naarai the son of Ezbai,(KJV-1611) 1Ch 11:37 Ezwo, moun lavil Kamèl, Narayi, pitit gason Esbayi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:38 ============ 1Ch 11:38 Joel the brother of Nathan, Mibhar the son of Haggeri,(KJV-1611) 1Ch 11:38 Joèl, frè Natan an, Mibka, pitit gason Agri,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:39 ============ 1Ch 11:39 Zelek the Ammonite, Naharai the Berothite, the armourbearer of Joab the son of Zeruiah,(KJV-1611) 1Ch 11:39 Zelèk, moun lavil Amon, Nakarayi, moun lavil Bewòt. Se li menm ki te pote zam Joab, pitit gason Sewouya a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:40 ============ 1Ch 11:40 Ira the Ithrite, Gareb the Ithrite,(KJV-1611) 1Ch 11:40 Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:41 ============ 1Ch 11:41 Uriah the Hittite, Zabad the son of Ahlai,(KJV-1611) 1Ch 11:41 Ouri, moun lavil Et la, Zabad, pitit Aklayi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:42 ============ 1Ch 11:42 Adina the son of Shiza the Reubenite, a captain of the Reubenites, and thirty with him,(KJV-1611) 1Ch 11:42 Adina, pitit Siza, yon chèf nan branch fanmi Woubenn lan, ak yon gwoup trant moun avè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:43 ============ 1Ch 11:43 Hanan the son of Maachah, and Joshaphat the Mithnite,(KJV-1611) 1Ch 11:43 Anan, pitit gason Maka, Jozafa, moun lavil Mitni,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:44 ============ 1Ch 11:44 Uzzia the Ashterathite, Shama and Jehiel the sons of Hothan the Aroerite,(KJV-1611) 1Ch 11:44 Ouzya, moun lavil Astawòt, Sama ak Jeyèl, pitit gason Otam, moun lavil Awoyè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:45 ============ 1Ch 11:45 Jediael the son of Shimri, and Joha his brother, the Tizite,(KJV-1611) 1Ch 11:45 Jedyayèl ak Joa, frè li, tou de pitit gason Chimri, moun lavil Tiz.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:46 ============ 1Ch 11:46 Eliel the Mahavite, and Jeribai, and Joshaviah, the sons of Elnaam, and Ithmah the Moabite,(KJV-1611) 1Ch 11:46 Eliyèl, moun lavil Manayim, Jeribayi ak Josavya, pitit gason Elnam, Jitma, moun lavil Moab,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 11:47 ============ 1Ch 11:47 Eliel, and Obed, and Jasiel the Mesobaite.(KJV-1611) 1Ch 11:47 Eliyèl, Obèd ak Jasiyèl, moun lavil Soba.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:1 ============ 1Ch 12:1 Now these are they that came to David to Ziklag, while he yet kept himself close because of Saul the son of Kish: and they were among the mighty men, helpers of the war.(KJV-1611) 1Ch 12:1 Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote li te al kache pou Sayil, pitit gason Kich la, pa jwenn li, yon bann vanyan sòlda te vin jwenn li la pou ba l' konkou nan lagè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:2 ============ 1Ch 12:2 They were armed with bows, and could use both the right hand and the left in hurling stones and shooting arrows out of a bow, even of Saul's brethren of Benjamin.(KJV-1611) 1Ch 12:2 Yo tout te gen banza. Yo te gen ladrès pou voye wòch ak pou tire flèch ni ak men gòch ni ak men dwat. Se te moun branch fanmi Benjamen yo te ye tankou Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:3 ============ 1Ch 12:3 The chief was Ahiezer, then Joash, the sons of Shemaah the Gibeathite; and Jeziel, and Pelet, the sons of Azmaveth; and Berachah, and Jehu the Antothite.(KJV-1611) 1Ch 12:3 Alatèt yo te gen Akyezè ak Joas, pitit gason Chema, moun lavil Gibeya, Jezyèl ak Pelèt, pitit gason Azmavèt, Beraka ak Jeou, moun lavil Anatòt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:4 ============ 1Ch 12:4 And Ismaiah the Gibeonite, a mighty man among the thirty, and over the thirty; and Jeremiah, and Jahaziel, and Johanan, and Josabad the Gederathite,(KJV-1611) 1Ch 12:4 Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:5 ============ 1Ch 12:5 Eluzai, and Jerimoth, and Bealiah, and Shemariah, and Shephatiah the Haruphite,(KJV-1611) 1Ch 12:5 Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:6 ============ 1Ch 12:6 Elkanah, and Jesiah, and Azareel, and Joezer, and Jashobeam, the Korhites,(KJV-1611) 1Ch 12:6 Elkana, Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:7 ============ 1Ch 12:7 And Joelah, and Zebadiah, the sons of Jeroham of Gedor.(KJV-1611) 1Ch 12:7 Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:8 ============ 1Ch 12:8 And of the Gadites there separated themselves unto David into the hold to the wilderness men of might, and men of war fit for the battle, that could handle shield and buckler, whose faces were like the faces of lions, and were as swift as the roes upon the mountains;(KJV-1611) 1Ch 12:8 Konsa tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:9 ============ 1Ch 12:9 Ezer the first, Obadiah the second, Eliab the third,(KJV-1611) 1Ch 12:9 Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:10 ============ 1Ch 12:10 Mishmannah the fourth, Jeremiah the fifth,(KJV-1611) 1Ch 12:10 katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:11 ============ 1Ch 12:11 Attai the sixth, Eliel the seventh,(KJV-1611) 1Ch 12:11 sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:12 ============ 1Ch 12:12 Johanan the eighth, Elzabad the ninth,(KJV-1611) 1Ch 12:12 wityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:13 ============ 1Ch 12:13 Jeremiah the tenth, Machbanai the eleventh.(KJV-1611) 1Ch 12:13 dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:14 ============ 1Ch 12:14 These were of the sons of Gad, captains of the host: one of the least was over an hundred, and the greatest over a thousand.(KJV-1611) 1Ch 12:14 Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:15 ============ 1Ch 12:15 These are they that went over Jordan in the first month, when it had overflown all his banks; and they put to flight all them of the valleys, both toward the east, and toward the west.(KJV-1611) 1Ch 12:15 Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:16 ============ 1Ch 12:16 And there came of the children of Benjamin and Judah to the hold unto David.(KJV-1611) 1Ch 12:16 Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo te gen moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote l' te kache a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:17 ============ 1Ch 12:17 And David went out to meet them, and answered and said unto them, If ye be come peaceably unto me to help me, mine heart shall be knit unto you: but if ye be come to betray me to mine enemies, seeing there is no wrong in mine hands, the God of our fathers look thereon, and rebuke it.(KJV-1611) 1Ch 12:17 David soti al kontre yo, li di yo: -Si se an zanmi nou vini pou ede m', m' byen kontan nou vin jwenn mwen. Men, si se pou nou trayi m' bay moun ki pa vle wè m' yo, mwen menm mwen konnen mwen pa fè ankenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:18 ============ 1Ch 12:18 Then the spirit came upon Amasai, who was chief of the captains, and he said, Thine are we, David, and on thy side, thou son of Jesse: peace, peace be unto thee, and peace be to thine helpers; for thy God helpeth thee. Then David received them, and made them captains of the band.(KJV-1611) 1Ch 12:18 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:19 ============ 1Ch 12:19 And there fell some of Manasseh to David, when he came with the Philistines against Saul to battle: but they helped them not: for the lords of the Philistines upon advisement sent him away, saying, He will fall to his master Saul to the jeopardy of our heads.(KJV-1611) 1Ch 12:19 Nan branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pa t' bay moun Filisti yo ankenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l' non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen anko ak Sayil, mèt li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:20 ============ 1Ch 12:20 As he went to Ziklag, there fell to him of Manasseh, Adnah, and Jozabad, and Jediael, and Michael, and Jozabad, and Elihu, and Zilthai, captains of the thousands that were of Manasseh.(KJV-1611) 1Ch 12:20 Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:21 ============ 1Ch 12:21 And they helped David against the band of the rovers: for they were all mighty men of valour, and were captains in the host.(KJV-1611) 1Ch 12:21 Se yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:22 ============ 1Ch 12:22 For at that time day by day there came to David to help him, until it was a great host, like the host of God.(KJV-1611) 1Ch 12:22 Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l'. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:23 ============ 1Ch 12:23 And these are the numbers of the bands that were ready armed to the war, and came to David to Hebron, to turn the kingdom of Saul to him, according to the word of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 12:23 Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Seyè a te bay lòd la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:24 ============ 1Ch 12:24 The children of Judah that bare shield and spear were six thousand and eight hundred, ready armed to the war.(KJV-1611) 1Ch 12:24 Nan branch fanmi Jida a, similwisan gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:25 ============ 1Ch 12:25 Of the children of Simeon, mighty men of valour for the war, seven thousand and one hundred.(KJV-1611) 1Ch 12:25 Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:26 ============ 1Ch 12:26 Of the children of Levi four thousand and six hundred.(KJV-1611) 1Ch 12:26 Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan ,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:27 ============ 1Ch 12:27 And Jehoiada was the leader of the Aaronites, and with him were three thousand and seven hundred;(KJV-1611) 1Ch 12:27 plis twamilsètsan nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:28 ============ 1Ch 12:28 And Zadok, a young man mighty of valour, and of his father's house twenty and two captains.(KJV-1611) 1Ch 12:28 Te gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lòt chèf nan fanmi li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:29 ============ 1Ch 12:29 And of the children of Benjamin, the kindred of Saul, three thousand: for hitherto the greatest part of them had kept the ward of the house of Saul.(KJV-1611) 1Ch 12:29 Nan branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:30 ============ 1Ch 12:30 And of the children of Ephraim twenty thousand and eight hundred, mighty men of valour, famous throughout the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 12:30 Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwisan vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:31 ============ 1Ch 12:31 And of the half tribe of Manasseh eighteen thousand, which were expressed by name, to come and make David king.(KJV-1611) 1Ch 12:31 Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwimil gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fotèy la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:32 ============ 1Ch 12:32 And of the children of Issachar, which were men that had understanding of the times, to know what Israel ought to do; the heads of them were two hundred; and all their brethren were at their commandment.(KJV-1611) 1Ch 12:32 Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l', desan chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:33 ============ 1Ch 12:33 Of Zebulun, such as went forth to battle, expert in war, with all instruments of war, fifty thousand, which could keep rank: they were not of double heart.(KJV-1611) 1Ch 12:33 Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:34 ============ 1Ch 12:34 And of Naphtali a thousand captains, and with them with shield and spear thirty and seven thousand.(KJV-1611) 1Ch 12:34 Nan branch fanmi Neftali a, mil gason ak plak pwotèj ak frenn.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:35 ============ 1Ch 12:35 And of the Danites expert in war twenty and eight thousand and six hundred.(KJV-1611) 1Ch 12:35 Nan branch fanmi Dann lan ventwimilsisan sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:36 ============ 1Ch 12:36 And of Asher, such as went forth to battle, expert in war, forty thousand.(KJV-1611) 1Ch 12:36 Nan branch fanmi Asè a, karantmil sòlda ki konn mache fè lagè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:37 ============ 1Ch 12:37 And on the other side of Jordan, of the Reubenites, and the Gadites, and of the half tribe of Manasseh, with all manner of instruments of war for the battle, an hundred and twenty thousand.(KJV-1611) 1Ch 12:37 Lèfini, nan branch fanmi Woubenn lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil gason ak tout kalite zam.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:38 ============ 1Ch 12:38 All these men of war, that could keep rank, came with a perfect heart to Hebron, to make David king over all Israel: and all the rest also of Israel were of one heart to make David king.(KJV-1611) 1Ch 12:38 Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:39 ============ 1Ch 12:39 And there they were with David three days, eating and drinking: for their brethren had prepared for them.(KJV-1611) 1Ch 12:39 Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 12:40 ============ 1Ch 12:40 Moreover they that were nigh them, even unto Issachar and Zebulun and Naphtali, brought bread on asses, and on camels, and on mules, and on oxen, and meat, meal, cakes of figs, and bunches of raisins, and wine, and oil, and oxen, and sheep abundantly: for there was joy in Israel.(KJV-1611) 1Ch 12:40 Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:1 ============ 1Ch 13:1 And David consulted with the captains of thousands and hundreds, and with every leader.(KJV-1611) 1Ch 13:1 David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:2 ============ 1Ch 13:2 And David said unto all the congregation of Israel, If it seem good unto you, and that it be of the LORD our God, let us send abroad unto our brethren every where, that are left in all the land of Israel, and with them also to the priests and Levites which are in their cities and suburbs, that they may gather themselves unto us:(KJV-1611) 1Ch 13:2 Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:3 ============ 1Ch 13:3 And let us bring again the ark of our God to us: for we enquired not at it in the days of Saul.(KJV-1611) 1Ch 13:3 pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:4 ============ 1Ch 13:4 And all the congregation said that they would do so: for the thing was right in the eyes of all the people.(KJV-1611) 1Ch 13:4 Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:5 ============ 1Ch 13:5 So David gathered all Israel together, from Shihor of Egypt even unto the entering of Hemath, to bring the ark of God from Kirjathjearim.(KJV-1611) 1Ch 13:5 Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:6 ============ 1Ch 13:6 And David went up, and all Israel, to Baalah, that is, to Kirjathjearim, which belonged to Judah, to bring up thence the ark of God the LORD, that dwelleth between the cherubims, whose name is called on it.(KJV-1611) 1Ch 13:6 Se konsa li pati avèk tout pèp Izrayèl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:7 ============ 1Ch 13:7 And they carried the ark of God in a new cart out of the house of Abinadab: and Uzza and Ahio drave the cart.(KJV-1611) 1Ch 13:7 Lè yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:8 ============ 1Ch 13:8 And David and all Israel played before God with all their might, and with singing, and with harps, and with psalteries, and with timbrels, and with cymbals, and with trumpets.(KJV-1611) 1Ch 13:8 David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:9 ============ 1Ch 13:9 And when they came unto the threshingfloor of Chidon, Uzza put forth his hand to hold the ark; for the oxen stumbled.(KJV-1611) 1Ch 13:9 Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:10 ============ 1Ch 13:10 And the anger of the LORD was kindled against Uzza, and he smote him, because he put his hand to the ark: and there he died before God.(KJV-1611) 1Ch 13:10 Men, Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:11 ============ 1Ch 13:11 And David was displeased, because the LORD had made a breach upon Uzza: wherefore that place is called Perezuzza to this day.(KJV-1611) 1Ch 13:11 David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:12 ============ 1Ch 13:12 And David was afraid of God that day, saying, How shall I bring the ark of God home to me?(KJV-1611) 1Ch 13:12 Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:13 ============ 1Ch 13:13 So David brought not the ark home to himself to the city of David, but carried it aside into the house of Obededom the Gittite.(KJV-1611) 1Ch 13:13 Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan lavil David. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edon, yon moun lavil Gat.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 13:14 ============ 1Ch 13:14 And the ark of God remained with the family of Obededom in his house three months. And the LORD blessed the house of Obededom, and all that he had.(KJV-1611) 1Ch 13:14 Bwat la pase twa mwa lakay Obèd-Edon, Seyè a te beni fanmi Obèd-Edon ak tout bagay ki te pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:1 ============ 1Ch 14:1 Now Hiram king of Tyre sent messengers to David, and timber of cedars, with masons and carpenters, to build him an house.(KJV-1611) 1Ch 14:1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:2 ============ 1Ch 14:2 And David perceived that the LORD had confirmed him king over Israel, for his kingdom was lifted up on high, because of his people Israel.(KJV-1611) 1Ch 14:2 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:3 ============ 1Ch 14:3 And David took more wives at Jerusalem: and David begat more sons and daughters.(KJV-1611) 1Ch 14:3 Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:4 ============ 1Ch 14:4 Now these are the names of his children which he had in Jerusalem; Shammua, and Shobab, Nathan, and Solomon,(KJV-1611) 1Ch 14:4 Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:5 ============ 1Ch 14:5 And Ibhar, and Elishua, and Elpalet,(KJV-1611) 1Ch 14:5 Jibka, Elichwa, Elpelèt,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:6 ============ 1Ch 14:6 And Nogah, and Nepheg, and Japhia,(KJV-1611) 1Ch 14:6 Noga, Nefèg, Jafya,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:7 ============ 1Ch 14:7 And Elishama, and Beeliada, and Eliphalet.(KJV-1611) 1Ch 14:7 Elichama, Baalyada ak Elifelèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:8 ============ 1Ch 14:8 And when the Philistines heard that David was anointed king over all Israel, all the Philistines went up to seek David. And David heard of it, and went out against them.(KJV-1611) 1Ch 14:8 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:9 ============ 1Ch 14:9 And the Philistines came and spread themselves in the valley of Rephaim.(KJV-1611) 1Ch 14:9 Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:10 ============ 1Ch 14:10 And David enquired of God, saying, Shall I go up against the Philistines? And wilt thou deliver them into mine hand? And the LORD said unto him, Go up; for I will deliver them into thine hand.(KJV-1611) 1Ch 14:10 David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:11 ============ 1Ch 14:11 So they came up to Baalperazim; and David smote them there. Then David said, God hath broken in upon mine enemies by mine hand like the breaking forth of waters: therefore they called the name of that place Baalperazim.(KJV-1611) 1Ch 14:11 David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:12 ============ 1Ch 14:12 And when they had left their gods there, David gave a commandment, and they were burned with fire.(KJV-1611) 1Ch 14:12 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:13 ============ 1Ch 14:13 And the Philistines yet again spread themselves abroad in the valley.(KJV-1611) 1Ch 14:13 Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:14 ============ 1Ch 14:14 Therefore David enquired again of God; and God said unto him, Go not up after them; turn away from them, and come upon them over against the mulberry trees.(KJV-1611) 1Ch 14:14 David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:15 ============ 1Ch 14:15 And it shall be, when thou shalt hear a sound of going in the tops of the mulberry trees, that then thou shalt go out to battle: for God is gone forth before thee to smite the host of the Philistines.(KJV-1611) 1Ch 14:15 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:16 ============ 1Ch 14:16 David therefore did as God commanded him: and they smote the host of the Philistines from Gibeon even to Gazer.(KJV-1611) 1Ch 14:16 David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 14:17 ============ 1Ch 14:17 And the fame of David went out into all lands; and the LORD brought the fear of him upon all nations.(KJV-1611) 1Ch 14:17 Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:1 ============ 1Ch 15:1 And David made him houses in the city of David, and prepared a place for the ark of God, and pitched for it a tent.(KJV-1611) 1Ch 15:1 David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:2 ============ 1Ch 15:2 Then David said, None ought to carry the ark of God but the Levites: for them hath the LORD chosen to carry the ark of God, and to minister unto him for ever.(KJV-1611) 1Ch 15:2 Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:3 ============ 1Ch 15:3 And David gathered all Israel together to Jerusalem, to bring up the ark of the LORD unto his place, which he had prepared for it.(KJV-1611) 1Ch 15:3 Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:4 ============ 1Ch 15:4 And David assembled the children of Aaron, and the Levites:(KJV-1611) 1Ch 15:4 Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon yo ansanm ak moun Levi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:5 ============ 1Ch 15:5 Of the sons of Kohath; Uriel the chief, and his brethren an hundred and twenty:(KJV-1611) 1Ch 15:5 Nan branch fanmi Keyat la, te gen Ouryèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sanven .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:6 ============ 1Ch 15:6 Of the sons of Merari; Asaiah the chief, and his brethren two hundred and twenty:(KJV-1611) 1Ch 15:6 Nan branch fanmi Merari a, te gen Asaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desanven .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:7 ============ 1Ch 15:7 Of the sons of Gershom; Joel the chief and his brethren an hundred and thirty:(KJV-1611) 1Ch 15:7 Nan branch fanmi Gèchon an, te gen Joèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou santrant .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:8 ============ 1Ch 15:8 Of the sons of Elizaphan; Shemaiah the chief, and his brethren two hundred:(KJV-1611) 1Ch 15:8 Nan branch fanmi Elizafan an, te gen Semaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desan .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:9 ============ 1Ch 15:9 Of the sons of Hebron; Eliel the chief, and his brethren fourscore:(KJV-1611) 1Ch 15:9 Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Eliyèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou katreven.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:10 ============ 1Ch 15:10 Of the sons of Uzziel; Amminadab the chief, and his brethren an hundred and twelve.(KJV-1611) 1Ch 15:10 Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz .(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:11 ============ 1Ch 15:11 And David called for Zadok and Abiathar the priests, and for the Levites, for Uriel, Asaiah, and Joel, Shemaiah, and Eliel, and Amminadab,(KJV-1611) 1Ch 15:11 David rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, ansanm ak sis moun Levi: Ouryèl, Asaja, Joèl, Chemaja, Eliyèl ak Aminadad.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:12 ============ 1Ch 15:12 And said unto them, Ye are the chief of the fathers of the Levites: sanctify yourselves, both ye and your brethren, that ye may bring up the ark of the LORD God of Israel unto the place that I have prepared for it.(KJV-1611) 1Ch 15:12 Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:13 ============ 1Ch 15:13 For because ye did it not at the first, the LORD our God made a breach upon us, for that we sought him not after the due order.(KJV-1611) 1Ch 15:13 Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:14 ============ 1Ch 15:14 So the priests and the Levites sanctified themselves to bring up the ark of the LORD God of Israel.(KJV-1611) 1Ch 15:14 Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:15 ============ 1Ch 15:15 And the children of the Levites bare the ark of God upon their shoulders with the staves thereon, as Moses commanded according to the word of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 15:15 Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:16 ============ 1Ch 15:16 And David spake to the chief of the Levites to appoint their brethren to be the singers with instruments of musick, psalteries and harps and cymbals, sounding, by lifting up the voice with joy.(KJV-1611) 1Ch 15:16 David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:17 ============ 1Ch 15:17 So the Levites appointed Heman the son of Joel; and of his brethren, Asaph the son of Berechiah; and of the sons of Merari their brethren, Ethan the son of Kushaiah;(KJV-1611) 1Ch 15:17 Moun Levi yo chwazi Eyman, pitit gason Joèl la, ansanm ak Asaf, pitit gason Berekya, yon fanmi Eyman, ak Etan, pitit gason Kouchaja nan branch fanmi Merari a, fanmi ak de lòt premye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:18 ============ 1Ch 15:18 And with them their brethren of the second degree, Zechariah, Ben, and Jaaziel, and Shemiramoth, and Jehiel, and Unni, Eliab, and Benaiah, and Maaseiah, and Mattithiah, and Elipheleh, and Mikneiah, and Obededom, and Jeiel, the porters.(KJV-1611) 1Ch 15:18 Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:19 ============ 1Ch 15:19 So the singers, Heman, Asaph, and Ethan, were appointed to sound with cymbals of brass;(KJV-1611) 1Ch 15:19 Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:20 ============ 1Ch 15:20 And Zechariah, and Aziel, and Shemiramoth, and Jehiel, and Unni, and Eliab, and Maaseiah, and Benaiah, with psalteries on Alamoth;(KJV-1611) 1Ch 15:20 Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Maseja ak Benaja t'ap jwe premye gita yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:21 ============ 1Ch 15:21 And Mattithiah, and Elipheleh, and Mikneiah, and Obededom, and Jeiel, and Azaziah, with harps on the Sheminith to excel.(KJV-1611) 1Ch 15:21 Matitya, Elifeleou, Mikneja, Obèd-Edon, Jeyèl ak Azazya t'ap jwe gita bas. Se yo ki pou te bay kadans chante yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:22 ============ 1Ch 15:22 And Chenaniah, chief of the Levites, was for song: he instructed about the song, because he was skilful.(KJV-1611) 1Ch 15:22 Se Kenanya, chèf moun Levi ki te reskonsab pote Bwat la, ki t'ap dirije yo, paske li te fò nan fè travay konsa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:23 ============ 1Ch 15:23 And Berechiah and Elkanah were doorkeepers for the ark.(KJV-1611) 1Ch 15:23 Se Berekya ak Elkana ki t'ap pote Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:24 ============ 1Ch 15:24 And Shebaniah, and Jehoshaphat, and Nethaneel, and Amasai, and Zechariah, and Benaiah, and Eliezer, the priests, did blow with the trumpets before the ark of God: and Obededom and Jehiah were doorkeepers for the ark.(KJV-1611) 1Ch 15:24 Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:25 ============ 1Ch 15:25 So David, and the elders of Israel, and the captains over thousands, went to bring up the ark of the covenant of the LORD out of the house of Obededom with joy.(KJV-1611) 1Ch 15:25 Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:26 ============ 1Ch 15:26 And it came to pass, when God helped the Levites that bare the ark of the covenant of the LORD, that they offered seven bullocks and seven rams.(KJV-1611) 1Ch 15:26 Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:27 ============ 1Ch 15:27 And David was clothed with a robe of fine linen, and all the Levites that bare the ark, and the singers, and Chenaniah the master of the song with the singers: David also had upon him an ephod of linen.(KJV-1611) 1Ch 15:27 David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:28 ============ 1Ch 15:28 Thus all Israel brought up the ark of the covenant of the LORD with shouting, and with sound of the cornet, and with trumpets, and with cymbals, making a noise with psalteries and harps.(KJV-1611) 1Ch 15:28 Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 15:29 ============ 1Ch 15:29 And it came to pass, as the ark of the covenant of the LORD came to the city of David, that Michal, the daughter of Saul looking out at a window saw king David dancing and playing: and she despised him in her heart.(KJV-1611) 1Ch 15:29 Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a lavil Jerizalèm, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Bwat la. Li vin pa gen yon san pou li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:1 ============ 1Ch 16:1 So they brought the ark of God, and set it in the midst of the tent that David had pitched for it: and they offered burnt sacrifices and peace offerings before God.(KJV-1611) 1Ch 16:1 Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:2 ============ 1Ch 16:2 And when David had made an end of offering the burnt offerings and the peace offerings, he blessed the people in the name of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 16:2 Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:3 ============ 1Ch 16:3 And he dealt to every one of Israel, both man and woman, to every one a loaf of bread, and a good piece of flesh, and a flagon of wine.(KJV-1611) 1Ch 16:3 Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:4 ============ 1Ch 16:4 And he appointed certain of the Levites to minister before the ark of the LORD, and to record, and to thank and praise the LORD God of Israel:(KJV-1611) 1Ch 16:4 David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l', pou di l' mèsi, pou fè lwanj li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:5 ============ 1Ch 16:5 Asaph the chief, and next to him Zechariah, Jeiel, and Shemiramoth, and Jehiel, and Mattithiah, and Eliab, and Benaiah, and Obededom: and Jeiel with psalteries and with harps; but Asaph made a sound with cymbals;(KJV-1611) 1Ch 16:5 Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:6 ============ 1Ch 16:6 Benaiah also and Jahaziel the priests with trumpets continually before the ark of the covenant of God.(KJV-1611) 1Ch 16:6 Se Benaja ak Jaziyèl, prèt yo, ki te pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:7 ============ 1Ch 16:7 Then on that day David delivered first this psalm to thank the LORD into the hand of Asaph and his brethren.(KJV-1611) 1Ch 16:7 Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsablite pou yo fè lwanj Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:8 ============ 1Ch 16:8 Give thanks unto the LORD, call upon his name, make known his deeds among the people.(KJV-1611) 1Ch 16:8 Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:9 ============ 1Ch 16:9 Sing unto him, sing psalms unto him, talk ye of all his wondrous works.(KJV-1611) 1Ch 16:9 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:10 ============ 1Ch 16:10 Glory ye in his holy name: let the heart of them rejoice that seek the LORD.(KJV-1611) 1Ch 16:10 Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:11 ============ 1Ch 16:11 Seek the LORD and his strength, seek his face continually.(KJV-1611) 1Ch 16:11 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:12 ============ 1Ch 16:12 Remember his marvellous works that he hath done, his wonders, and the judgments of his mouth;(KJV-1611) 1Ch 16:12 (Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:13 ============ 1Ch 16:13 O ye seed of Israel his servant, ye children of Jacob, his chosen ones.(KJV-1611) 1Ch 16:13 Nou menm, pitit pitit Izrayèl, sèvitè Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bèl bagay li te fè yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:14 ============ 1Ch 16:14 He is the LORD our God; his judgments are in all the earth.(KJV-1611) 1Ch 16:14 Seyè a, se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd, se pou tout latè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:15 ============ 1Ch 16:15 Be ye mindful always of his covenant; the word which he commanded to a thousand generations;(KJV-1611) 1Ch 16:15 Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomès li pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:16 ============ 1Ch 16:16 Even of the covenant which he made with Abraham, and of his oath unto Isaac;(KJV-1611) 1Ch 16:16 Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:17 ============ 1Ch 16:17 And hath confirmed the same to Jacob for a law, and to Israel for an everlasting covenant,(KJV-1611) 1Ch 16:17 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:18 ============ 1Ch 16:18 Saying, Unto thee will I give the land of Canaan, the lot of your inheritance;(KJV-1611) 1Ch 16:18 Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon pa ou nan byen m' yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:19 ============ 1Ch 16:19 When ye were but few, even a few, and strangers in it.(KJV-1611) 1Ch 16:19 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil. Yo te sèlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:20 ============ 1Ch 16:20 And when they went from nation to nation, and from one kingdom to another people;(KJV-1611) 1Ch 16:20 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:21 ============ 1Ch 16:21 He suffered no man to do them wrong: yea, he reproved kings for their sakes,(KJV-1611) 1Ch 16:21 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:22 ============ 1Ch 16:22 Saying, Touch not mine anointed, and do my prophets no harm.(KJV-1611) 1Ch 16:22 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:23 ============ 1Ch 16:23 Sing unto the LORD, all the earth; shew forth from day to day his salvation.(KJV-1611) 1Ch 16:23 Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:24 ============ 1Ch 16:24 Declare his glory among the heathen; his marvellous works among all nations.(KJV-1611) 1Ch 16:24 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:25 ============ 1Ch 16:25 For great is the LORD, and greatly to be praised: he also is to be feared above all gods.(KJV-1611) 1Ch 16:25 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:26 ============ 1Ch 16:26 For all the gods of the people are idols: but the LORD made the heavens.(KJV-1611) 1Ch 16:26 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:27 ============ 1Ch 16:27 Glory and honour are in his presence; strength and gladness are in his place.(KJV-1611) 1Ch 16:27 Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l' ye lakay li a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:28 ============ 1Ch 16:28 Give unto the LORD, ye kindreds of the people, give unto the LORD glory and strength.(KJV-1611) 1Ch 16:28 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:29 ============ 1Ch 16:29 Give unto the LORD the glory due unto his name: bring an offering, and come before him: worship the LORD in the beauty of holiness.(KJV-1611) 1Ch 16:29 Fè lwanj Seyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:30 ============ 1Ch 16:30 Fear before him, all the earth: the world also shall be stable, that it be not moved.(KJV-1611) 1Ch 16:30 Nou tout ki sou latè, tranble devan li. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:31 ============ 1Ch 16:31 Let the heavens be glad, and let the earth rejoice: and let men say among the nations, The LORD reigneth.(KJV-1611) 1Ch 16:31 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:32 ============ 1Ch 16:32 Let the sea roar, and the fulness thereof: let the fields rejoice, and all that is therein.(KJV-1611) 1Ch 16:32 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:33 ============ 1Ch 16:33 Then shall the trees of the wood sing out at the presence of the LORD, because he cometh to judge the earth.(KJV-1611) 1Ch 16:33 Lè Seyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:34 ============ 1Ch 16:34 O give thanks unto the LORD; for he is good; for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) 1Ch 16:34 Lwanj pou Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:35 ============ 1Ch 16:35 And say ye, Save us, O God of our salvation, and gather us together, and deliver us from the heathen, that we may give thanks to thy holy name, and glory in thy praise.(KJV-1611) 1Ch 16:35 Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:36 ============ 1Ch 16:36 Blessed be the LORD God of Israel for ever and ever. And all the people said, Amen, and praised the LORD.(KJV-1611) 1Ch 16:36 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:37 ============ 1Ch 16:37 So he left there before the ark of the covenant of the LORD Asaph and his brethren, to minister before the ark continually, as every day's work required:(KJV-1611) 1Ch 16:37 Lèfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avè l' yo devan Bwat Kontra Seyè a pou yo toujou reskonsab tout sèvis ki pou fèt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fè sèvis yo la chak jou san rete.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:38 ============ 1Ch 16:38 And Obededom with their brethren, threescore and eight; Obededom also the son of Jeduthun and Hosah to be porters:(KJV-1611) 1Ch 16:38 Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:39 ============ 1Ch 16:39 And Zadok the priest, and his brethren the priests, before the tabernacle of the LORD in the high place that was at Gibeon,(KJV-1611) 1Ch 16:39 Men David kite Zadòk, prèt la, ak moun Levi menm fanmi avè l' yo ki te prèt tou devan Tant Seyè a, nan kote yo te mete apa pou Seyè a lavil Gabawon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:40 ============ 1Ch 16:40 To offer burnt offerings unto the LORD upon the altar of the burnt offering continually morning and evening, and to do according to all that is written in the law of the LORD, which he commanded Israel;(KJV-1611) 1Ch 16:40 Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:41 ============ 1Ch 16:41 And with them Heman and Jeduthun, and the rest that were chosen, who were expressed by name, to give thanks to the LORD, because his mercy endureth for ever;(KJV-1611) 1Ch 16:41 Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:42 ============ 1Ch 16:42 And with them Heman and Jeduthun with trumpets and cymbals for those that should make a sound, and with musical instruments of God. And the sons of Jeduthun were porters.(KJV-1611) 1Ch 16:42 Eyman ak Jedoutoun te gen twonpèt, senbal ki fè gwo bri yo ak lòt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pòtay yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 16:43 ============ 1Ch 16:43 And all the people departed every man to his house: and David returned to bless his house.(KJV-1611) 1Ch 16:43 Apre sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l' beni fanmi pa l' tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:1 ============ 1Ch 17:1 Now it came to pass, as David sat in his house, that David said to Nathan the prophet, Lo, I dwell in an house of cedars, but the ark of the covenant of the LORD remaineth under curtains.(KJV-1611) 1Ch 17:1 Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:2 ============ 1Ch 17:2 Then Nathan said unto David, Do all that is in thine heart; for God is with thee.(KJV-1611) 1Ch 17:2 Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l' paske Seyè a kanpe la avèk ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:3 ============ 1Ch 17:3 And it came to pass the same night, that the word of God came to Nathan, saying,(KJV-1611) 1Ch 17:3 Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:4 ============ 1Ch 17:4 Go and tell David my servant, Thus saith the LORD, Thou shalt not build me an house to dwell in:(KJV-1611) 1Ch 17:4 -Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:5 ============ 1Ch 17:5 For I have not dwelt in an house since the day that I brought up Israel unto this day; but have gone from tent to tent, and from one tabernacle to another.(KJV-1611) 1Ch 17:5 Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:6 ============ 1Ch 17:6 Wheresoever I have walked with all Israel, spake I a word to any of the judges of Israel, whom I commanded to feed my people, saying, Why have ye not built me an house of cedars?(KJV-1611) 1Ch 17:6 Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sèd pou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:7 ============ 1Ch 17:7 Now therefore thus shalt thou say unto my servant David, Thus saith the LORD of hosts, I took thee from the sheepcote, even from following the sheep, that thou shouldest be ruler over my people Israel:(KJV-1611) 1Ch 17:7 Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp Izrayèl la, pèp mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:8 ============ 1Ch 17:8 And I have been with thee whithersoever thou hast walked, and have cut off all thine enemies from before thee, and have made thee a name like the name of the great men that are in the earth.(KJV-1611) 1Ch 17:8 Kote ou pase, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:9 ============ 1Ch 17:9 Also I will ordain a place for my people Israel, and will plant them, and they shall dwell in their place, and shall be moved no more; neither shall the children of wickedness waste them any more, as at the beginning,(KJV-1611) 1Ch 17:9 Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:10 ============ 1Ch 17:10 And since the time that I commanded judges to be over my people Israel. Moreover I will subdue all thine enemies. Furthermore I tell thee that the LORD will build thee an house.(KJV-1611) 1Ch 17:10 lè mwen te mete jij chèf yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:11 ============ 1Ch 17:11 And it shall come to pass, when thy days be expired that thou must go to be with thy fathers, that I will raise up thy seed after thee, which shall be of thy sons; and I will establish his kingdom.(KJV-1611) 1Ch 17:11 Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:12 ============ 1Ch 17:12 He shall build me an house, and I will stablish his throne for ever.(KJV-1611) 1Ch 17:12 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:13 ============ 1Ch 17:13 I will be his father, and he shall be my son: and I will not take my mercy away from him, as I took it from him that was before thee:(KJV-1611) 1Ch 17:13 M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:14 ============ 1Ch 17:14 But I will settle him in mine house and in my kingdom for ever: and his throne shall be established for evermore.(KJV-1611) 1Ch 17:14 M'ap mete l' chèf lakay mwen ak nan gouvènman mwen an pou tout tan. M'ap fè gouvènman fanmi li an kanpe fèm pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:15 ============ 1Ch 17:15 According to all these words, and according to all this vision, so did Nathan speak unto David.(KJV-1611) 1Ch 17:15 Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:16 ============ 1Ch 17:16 And David the king came and sat before the LORD, and said, Who am I, O LORD God, and what is mine house, that thou hast brought me hitherto?(KJV-1611) 1Ch 17:16 Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou?(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:17 ============ 1Ch 17:17 And yet this was a small thing in thine eyes, O God; for thou hast also spoken of thy servant's house for a great while to come, and hast regarded me according to the estate of a man of high degree, O LORD God.(KJV-1611) 1Ch 17:17 Men, ou wè sa pa kont toujou, Bondye sèl Mèt la! Kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m' tankou yon grannèg, Seyè sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:18 ============ 1Ch 17:18 What can David speak more to thee for the honour of thy servant? for thou knowest thy servant.(KJV-1611) 1Ch 17:18 Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa pou bèl bagay ou fè pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:19 ============ 1Ch 17:19 O LORD, for thy servant's sake, and according to thine own heart, hast thou done all this greatness, in making known all these great things.(KJV-1611) 1Ch 17:19 Se paske ou te fè pwomès la, paske ou te vle l' konsa, Seyè, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:20 ============ 1Ch 17:20 O LORD, there is none like thee, neither is there any God beside thee, according to all that we have heard with our ears.(KJV-1611) 1Ch 17:20 Seyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:21 ============ 1Ch 17:21 And what one nation in the earth is like thy people Israel, whom God went to redeem to be his own people, to make thee a name of greatness and terribleness, by driving out nations from before thy people whom thou hast redeemed out of Egypt?(KJV-1611) 1Ch 17:21 Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa! Toupatou sou latè y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò pou fè plas pou pèp ou a, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:22 ============ 1Ch 17:22 For thy people Israel didst thou make thine own people for ever; and thou, LORD, becamest their God.(KJV-1611) 1Ch 17:22 Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:23 ============ 1Ch 17:23 Therefore now, LORD, let the thing that thou hast spoken concerning thy servant and concerning his house be established for ever, and do as thou hast said.(KJV-1611) 1Ch 17:23 Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:24 ============ 1Ch 17:24 Let it even be established, that thy name may be magnified for ever, saying, The LORD of hosts is the God of Israel, even a God to Israel: and let the house of David thy servant be established before thee.(KJV-1611) 1Ch 17:24 Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:25 ============ 1Ch 17:25 For thou, O my God, hast told thy servant that thou wilt build him an house: therefore thy servant hath found in his heart to pray before thee.(KJV-1611) 1Ch 17:25 Se ou menm, Bondye mwen, ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:26 ============ 1Ch 17:26 And now, LORD, thou art God, and hast promised this goodness unto thy servant:(KJV-1611) 1Ch 17:26 Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 17:27 ============ 1Ch 17:27 Now therefore let it please thee to bless the house of thy servant, that it may be before thee for ever: for thou blessest, O LORD, and it shall be blessed for ever.(KJV-1611) 1Ch 17:27 Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:1 ============ 1Ch 18:1 Now after this it came to pass, that David smote the Philistines, and subdued them, and took Gath and her towns out of the hand of the Philistines.(KJV-1611) 1Ch 18:1 Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:2 ============ 1Ch 18:2 And he smote Moab; and the Moabites became David's servants, and brought gifts.(KJV-1611) 1Ch 18:2 Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:3 ============ 1Ch 18:3 And David smote Hadarezer king of Zobah unto Hamath, as he went to stablish his dominion by the river Euphrates.(KJV-1611) 1Ch 18:3 Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:4 ============ 1Ch 18:4 And David took from him a thousand chariots, and seven thousand horsemen, and twenty thousand footmen: David also houghed all the chariot horses, but reserved of them an hundred chariots.(KJV-1611) 1Ch 18:4 David pran mil cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:5 ============ 1Ch 18:5 And when the Syrians of Damascus came to help Hadarezer king of Zobah, David slew of the Syrians two and twenty thousand men.(KJV-1611) 1Ch 18:5 Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:6 ============ 1Ch 18:6 Then David put garrisons in Syriadamascus; and the Syrians became David's servants, and brought gifts. Thus the LORD preserved David whithersoever he went.(KJV-1611) 1Ch 18:6 Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:7 ============ 1Ch 18:7 And David took the shields of gold that were on the servants of Hadarezer, and brought them to Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 18:7 David sezi tout gwo plak pwotèj an lò chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:8 ============ 1Ch 18:8 Likewise from Tibhath, and from Chun, cities of Hadarezer, brought David very much brass, wherewith Solomon made the brasen sea, and the pillars, and the vessels of brass.(KJV-1611) 1Ch 18:8 Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezè. Se ak kwiv sa yo Salomon te fè gwo basen lan, poto won yo ak lòt veso an kwiv pou Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:9 ============ 1Ch 18:9 Now when Tou king of Hamath heard how David had smitten all the host of Hadarezer king of Zobah;(KJV-1611) 1Ch 18:9 Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:10 ============ 1Ch 18:10 He sent Hadoram his son to king David, to enquire of his welfare, and to congratulate him, because he had fought against Hadarezer, and smitten him; (for Hadarezer had war with Tou;) and with him all manner of vessels of gold and silver and brass.(KJV-1611) 1Ch 18:10 li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:11 ============ 1Ch 18:11 Them also king David dedicated unto the LORD, with the silver and the gold that he brought from all these nations; from Edom, and from Moab, and from the children of Ammon, and from the Philistines, and from Amalek.(KJV-1611) 1Ch 18:11 Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:12 ============ 1Ch 18:12 Moreover Abishai the son of Zeruiah slew of the Edomites in the valley of salt eighteen thousand.(KJV-1611) 1Ch 18:12 Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil moun peyi Edon nan Fon Sèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:13 ============ 1Ch 18:13 And he put garrisons in Edom; and all the Edomites became David's servants. Thus the LORD preserved David whithersoever he went.(KJV-1611) 1Ch 18:13 Li mete kèk ganizon sòlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumèt devan David. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:14 ============ 1Ch 18:14 So David reigned over all Israel, and executed judgment and justice among all his people.(KJV-1611) 1Ch 18:14 David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout afè l' dwat.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:15 ============ 1Ch 18:15 And Joab the son of Zeruiah was over the host; and Jehoshaphat the son of Ahilud, recorder.(KJV-1611) 1Ch 18:15 Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:16 ============ 1Ch 18:16 And Zadok the son of Ahitub, and Abimelech the son of Abiathar, were the priests; and Shavsha was scribe;(KJV-1611) 1Ch 18:16 Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 18:17 ============ 1Ch 18:17 And Benaiah the son of Jehoiada was over the Cherethites and the Pelethites; and the sons of David were chief about the king.(KJV-1611) 1Ch 18:17 Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:1 ============ 1Ch 19:1 Now it came to pass after this, that Nahash the king of the children of Ammon died, and his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 19:1 Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:2 ============ 1Ch 19:2 And David said, I will shew kindness unto Hanun the son of Nahash, because his father shewed kindness to me. And David sent messengers to comfort him concerning his father. So the servants of David came into the land of the children of Ammon to Hanun, to comfort him.(KJV-1611) 1Ch 19:2 David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:3 ============ 1Ch 19:3 But the princes of the children of Ammon said to Hanun, Thinkest thou that David doth honour thy father, that he hath sent comforters unto thee? are not his servants come unto thee for to search, and to overthrow, and to spy out the land?(KJV-1611) 1Ch 19:3 Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:4 ============ 1Ch 19:4 Wherefore Hanun took David's servants, and shaved them, and cut off their garments in the midst hard by their buttocks, and sent them away.(KJV-1611) 1Ch 19:4 Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:5 ============ 1Ch 19:5 Then there went certain, and told David how the men were served. And he sent to meet them: for the men were greatly ashamed. And the king said, Tarry at Jericho until your beards be grown, and then return.(KJV-1611) 1Ch 19:5 Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:6 ============ 1Ch 19:6 And when the children of Ammon saw that they had made themselves odious to David, Hanun and the children of Ammon sent a thousand talents of silver to hire them chariots and horsemen out of Mesopotamia, and out of Syriamaachah, and out of Zobah.(KJV-1611) 1Ch 19:6 Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:7 ============ 1Ch 19:7 So they hired thirty and two thousand chariots, and the king of Maachah and his people; who came and pitched before Medeba. And the children of Ammon gathered themselves together from their cities, and came to battle.(KJV-1611) 1Ch 19:7 Se konsa yo lwe sèvis tranndemil cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:8 ============ 1Ch 19:8 And when David heard of it, he sent Joab, and all the host of the mighty men.(KJV-1611) 1Ch 19:8 David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:9 ============ 1Ch 19:9 And the children of Ammon came out, and put the battle in array before the gate of the city: and the kings that were come were by themselves in the field.(KJV-1611) 1Ch 19:9 Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:10 ============ 1Ch 19:10 Now when Joab saw that the battle was set against him before and behind, he chose out of all the choice of Israel, and put them in array against the Syrians.(KJV-1611) 1Ch 19:10 Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:11 ============ 1Ch 19:11 And the rest of the people he delivered unto the hand of Abishai his brother, and they set themselves in array against the children of Ammon.(KJV-1611) 1Ch 19:11 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:12 ============ 1Ch 19:12 And he said, If the Syrians be too strong for me, then thou shalt help me: but if the children of Ammon be too strong for thee, then I will help thee.(KJV-1611) 1Ch 19:12 Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:13 ============ 1Ch 19:13 Be of good courage, and let us behave ourselves valiantly for our people, and for the cities of our God: and let the LORD do that which is good in his sight.(KJV-1611) 1Ch 19:13 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:14 ============ 1Ch 19:14 So Joab and the people that were with him drew nigh before the Syrians unto the battle; and they fled before him.(KJV-1611) 1Ch 19:14 Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:15 ============ 1Ch 19:15 And when the children of Ammon saw that the Syrians were fled, they likewise fled before Abishai his brother, and entered into the city. Then Joab came to Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 19:15 Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:16 ============ 1Ch 19:16 And when the Syrians saw that they were put to the worse before Israel, they sent messengers, and drew forth the Syrians that were beyond the river: and Shophach the captain of the host of Hadarezer went before them.(KJV-1611) 1Ch 19:16 Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:17 ============ 1Ch 19:17 And it was told David; and he gathered all Israel, and passed over Jordan, and came upon them, and set the battle in array against them. So when David had put the battle in array against the Syrians, they fought with him.(KJV-1611) 1Ch 19:17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:18 ============ 1Ch 19:18 But the Syrians fled before Israel; and David slew of the Syrians seven thousand men which fought in chariots, and forty thousand footmen, and killed Shophach the captain of the host.(KJV-1611) 1Ch 19:18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 19:19 ============ 1Ch 19:19 And when the servants of Hadarezer saw that they were put to the worse before Israel, they made peace with David, and became his servants: neither would the Syrians help the children of Ammon any more.(KJV-1611) 1Ch 19:19 Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:1 ============ 1Ch 20:1 And it came to pass, that after the year was expired, at the time that kings go out to battle, Joab led forth the power of the army, and wasted the country of the children of Ammon, and came and besieged Rabbah. But David tarried at Jerusalem. And Joab smote Rabbah, and destroyed it.(KJV-1611) 1Ch 20:1 Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:2 ============ 1Ch 20:2 And David took the crown of their king from off his head, and found it to weigh a talent of gold, and there were precious stones in it; and it was set upon David's head: and he brought also exceeding much spoil out of the city.(KJV-1611) 1Ch 20:2 Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l'. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l' sou tèt pa l'. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:3 ============ 1Ch 20:3 And he brought out the people that were in it, and cut them with saws, and with harrows of iron, and with axes. Even so dealt David with all the cities of the children of Ammon. And David and all the people returned to Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 20:3 Li pran moun ki te rete nan lavil la, li mete yo fè travay ak goyin, wou ak rach. Li fè menm bagay la tou nan tout lòt lavil peyi Amon an. Apre sa, David tounen lavil Jerizalèm ak tout moun li yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:4 ============ 1Ch 20:4 And it came to pass after this, that there arose war at Gezer with the Philistines; at which time Sibbechai the Hushathite slew Sippai, that was of the children of the giant: and they were subdued.(KJV-1611) 1Ch 20:4 Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:5 ============ 1Ch 20:5 And there was war again with the Philistines; and Elhanan the son of Jair slew Lahmi the brother of Goliath the Gittite, whose spear staff was like a weaver's beam.(KJV-1611) 1Ch 20:5 Pandan yon lòt batay ak moun Filisti yo ankò, Elkanan, pitit gason Jayi, touye Lami, frè Golyat, yon moun lavil Gat. Frenn Lami an te gen yon manch menm gwosè ak yon gwo manch pilon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:6 ============ 1Ch 20:6 And yet again there was war at Gath, where was a man of great stature, whose fingers and toes were four and twenty, six on each hand, and six on each foot and he also was the son of the giant.(KJV-1611) 1Ch 20:6 Vin gen yon lòt batay ankò lavil Gat. Lè sa a, te gen yon sòlda bèl wotè ki te gen sis dwèt nan chak men, sis zòtèy nan chak pye. Se te yonn nan ras moun Arafa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:7 ============ 1Ch 20:7 But when he defied Israel, Jonathan the son of Shimea David's brother slew him.(KJV-1611) 1Ch 20:7 Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 20:8 ============ 1Ch 20:8 These were born unto the giant in Gath; and they fell by the hand of David, and by the hand of his servants.(KJV-1611) 1Ch 20:8 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te soti nan ras moun Arafa yo, nan lavil Gat. David ak sòlda li yo touye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:1 ============ 1Ch 21:1 And Satan stood up against Israel, and provoked David to number Israel.(KJV-1611) 1Ch 21:1 Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:2 ============ 1Ch 21:2 And David said to Joab and to the rulers of the people, Go, number Israel from Beersheba even to Dan; and bring the number of them to me, that I may know it.(KJV-1611) 1Ch 21:2 Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:3 ============ 1Ch 21:3 And Joab answered, The LORD make his people an hundred times so many more as they be: but, my lord the king, are they not all my lord's servants? why then doth my lord require this thing? why will he be a cause of trespass to Israel?(KJV-1611) 1Ch 21:3 Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal?(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:4 ============ 1Ch 21:4 Nevertheless the king's word prevailed against Joab. Wherefore Joab departed, and went throughout all Israel, and came to Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 21:4 Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:5 ============ 1Ch 21:5 And Joab gave the sum of the number of the people unto David. And all they of Israel were a thousand thousand and an hundred thousand men that drew sword: and Judah was four hundred threescore and ten thousand men that drew sword.(KJV-1611) 1Ch 21:5 Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:6 ============ 1Ch 21:6 But Levi and Benjamin counted he not among them: for the king's word was abominable to Joab.(KJV-1611) 1Ch 21:6 Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:7 ============ 1Ch 21:7 And God was displeased with this thing; therefore he smote Israel.(KJV-1611) 1Ch 21:7 Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:8 ============ 1Ch 21:8 And David said unto God, I have sinned greatly, because I have done this thing: but now, I beseech thee, do away the iniquity of thy servant; for I have done very foolishly.(KJV-1611) 1Ch 21:8 Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:9 ============ 1Ch 21:9 And the LORD spake unto Gad, David's seer, saying,(KJV-1611) 1Ch 21:9 Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:10 ============ 1Ch 21:10 Go and tell David, saying, Thus saith the LORD, I offer thee three things: choose thee one of them, that I may do it unto thee.(KJV-1611) 1Ch 21:10 -Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:11 ============ 1Ch 21:11 So Gad came to David, and said unto him, Thus saith the LORD, Choose thee(KJV-1611) 1Ch 21:11 Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle?(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:12 ============ 1Ch 21:12 Either three years' famine; or three months to be destroyed before thy foes, while that the sword of thine enemies overtaketh thee; or else three days the sword of the LORD, even the pestilence, in the land, and the angel of the LORD destroying throughout all the coasts of Israel. Now therefore advise thyself what word I shall bring again to him that sent me.(KJV-1611) 1Ch 21:12 Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:13 ============ 1Ch 21:13 And David said unto Gad, I am in a great strait: let me fall now into the hand of the LORD; for very great are his mercies: but let me not fall into the hand of man.(KJV-1611) 1Ch 21:13 David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:14 ============ 1Ch 21:14 So the LORD sent pestilence upon Israel: and there fell of Israel seventy thousand men.(KJV-1611) 1Ch 21:14 Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil moun nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:15 ============ 1Ch 21:15 And God sent an angel unto Jerusalem to destroy it: and as he was destroying, the LORD beheld, and he repented him of the evil, and said to the angel that destroyed, It is enough, stay now thine hand. And the angel of the LORD stood by the threshingfloor of Ornan the Jebusite.(KJV-1611) 1Ch 21:15 Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:16 ============ 1Ch 21:16 And David lifted up his eyes, and saw the angel of the LORD stand between the earth and the heaven, having a drawn sword in his hand stretched out over Jerusalem. Then David and the elders of Israel, who were clothed in sackcloth, fell upon their faces.(KJV-1611) 1Ch 21:16 David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:17 ============ 1Ch 21:17 And David said unto God, Is it not I that commanded the people to be numbered? even I it is that have sinned and done evil indeed; but as for these sheep, what have they done? let thine hand, I pray thee, O LORD my God, be on me, and on my father's house; but not on thy people, that they should be plagued.(KJV-1611) 1Ch 21:17 David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:18 ============ 1Ch 21:18 Then the angel of the LORD commanded Gad to say to David, that David should go up, and set up an altar unto the LORD in the threshingfloor of Ornan the Jebusite.(KJV-1611) 1Ch 21:18 Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:19 ============ 1Ch 21:19 And David went up at the saying of Gad, which he spake in the name of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 21:19 David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:20 ============ 1Ch 21:20 And Ornan turned back, and saw the angel; and his four sons with him hid themselves. Now Ornan was threshing wheat.(KJV-1611) 1Ch 21:20 Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:21 ============ 1Ch 21:21 And as David came to Ornan, Ornan looked and saw David, and went out of the threshingfloor, and bowed himself to David with his face to the ground.(KJV-1611) 1Ch 21:21 Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:22 ============ 1Ch 21:22 Then David said to Ornan, Grant me the place of this threshingfloor, that I may build an altar therein unto the LORD: thou shalt grant it me for the full price: that the plague may be stayed from the people.(KJV-1611) 1Ch 21:22 David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:23 ============ 1Ch 21:23 And Ornan said unto David, Take it to thee, and let my lord the king do that which is good in his eyes: lo, I give thee the oxen also for burnt offerings, and the threshing instruments for wood, and the wheat for the meat offering; I give it all.(KJV-1611) 1Ch 21:23 Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:24 ============ 1Ch 21:24 And king David said to Ornan, Nay; but I will verily buy it for the full price: for I will not take that which is thine for the LORD, nor offer burnt offerings without cost.(KJV-1611) 1Ch 21:24 Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:25 ============ 1Ch 21:25 So David gave to Ornan for the place six hundred shekels of gold by weight.(KJV-1611) 1Ch 21:25 Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:26 ============ 1Ch 21:26 And David built there an altar unto the LORD, and offered burnt offerings and peace offerings, and called upon the LORD; and he answered him from heaven by fire upon the altar of burnt offering.(KJV-1611) 1Ch 21:26 Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:27 ============ 1Ch 21:27 And the LORD commanded the angel; and he put up his sword again into the sheath thereof.(KJV-1611) 1Ch 21:27 Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:28 ============ 1Ch 21:28 At that time when David saw that the LORD had answered him in the threshingfloor of Ornan the Jebusite, then he sacrificed there.(KJV-1611) 1Ch 21:28 Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:29 ============ 1Ch 21:29 For the tabernacle of the LORD, which Moses made in the wilderness, and the altar of the burnt offering, were at that season in the high place at Gibeon.(KJV-1611) 1Ch 21:29 Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 21:30 ============ 1Ch 21:30 But David could not go before it to enquire of God: for he was afraid because of the sword of the angel of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 21:30 Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:1 ============ 1Ch 22:1 Then David said, This is the house of the LORD God, and this is the altar of the burnt offering for Israel.(KJV-1611) 1Ch 22:1 Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:2 ============ 1Ch 22:2 And David commanded to gather together the strangers that were in the land of Israel; and he set masons to hew wrought stones to build the house of God.(KJV-1611) 1Ch 22:2 David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:3 ============ 1Ch 22:3 And David prepared iron in abundance for the nails for the doors of the gates, and for the joinings; and brass in abundance without weight;(KJV-1611) 1Ch 22:3 Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:4 ============ 1Ch 22:4 Also cedar trees in abundance: for the Zidonians and they of Tyre brought much cedar wood to David.(KJV-1611) 1Ch 22:4 Pou bwa sèd, moun peyi Sidon ak moun lavil Tir te fè David jwenn sa an kantite.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:5 ============ 1Ch 22:5 And David said, Solomon my son is young and tender, and the house that is to be builded for the LORD must be exceeding magnifical, of fame and of glory throughout all countries: I will therefore now make preparation for it. So David prepared abundantly before his death.(KJV-1611) 1Ch 22:5 David t'ap di nan kè l': Salomon, pitit gason m' lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l' bati pou Seyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m' pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:6 ============ 1Ch 22:6 Then he called for Solomon his son, and charged him to build an house for the LORD God of Israel.(KJV-1611) 1Ch 22:6 Lèfini, li voye chache Salomon, pitit gason l' lan, li ba li lòd pou li bati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:7 ============ 1Ch 22:7 And David said to Solomon, My son, as for me, it was in my mind to build an house unto the name of the LORD my God:(KJV-1611) 1Ch 22:7 Li di l' konsa: -Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:8 ============ 1Ch 22:8 But the word of the LORD came to me, saying, Thou hast shed blood abundantly, and hast made great wars: thou shalt not build an house unto my name, because thou hast shed much blood upon the earth in my sight.(KJV-1611) 1Ch 22:8 Men Seyè a fè m' konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:9 ============ 1Ch 22:9 Behold, a son shall be born to thee, who shall be a man of rest; and I will give him rest from all his enemies round about: for his name shall be Solomon, and I will give peace and quietness unto Israel in his days.(KJV-1611) 1Ch 22:9 Men li di m' konsa: Ou pral gen yon pitit gason ki p'ap nan touye moun li menm. M'ap fè tout lènmi l' yo toupatou viv byen ak li tou. Se poutèt sa y'a rele l' Salomon. Sou rèy li, peyi Izrayèl la ap viv ak ke poze, san danje ni malè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:10 ============ 1Ch 22:10 He shall build an house for my name; and he shall be my son, and I will be his father; and I will establish the throne of his kingdom over Israel for ever.(KJV-1611) 1Ch 22:10 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:11 ============ 1Ch 22:11 Now, my son, the LORD be with thee; and prosper thou, and build the house of the LORD thy God, as he hath said of thee.(KJV-1611) 1Ch 22:11 Koulye a, pitit mwen, se pou Seyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:12 ============ 1Ch 22:12 Only the LORD give thee wisdom and understanding, and give thee charge concerning Israel, that thou mayest keep the law of the LORD thy God.(KJV-1611) 1Ch 22:12 Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:13 ============ 1Ch 22:13 Then shalt thou prosper, if thou takest heed to fulfil the statutes and judgments which the LORD charged Moses with concerning Israel: be strong, and of good courage; dread not, nor be dismayed.(KJV-1611) 1Ch 22:13 Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:14 ============ 1Ch 22:14 Now, behold, in my trouble I have prepared for the house of the LORD an hundred thousand talents of gold, and a thousand thousand talents of silver; and of brass and iron without weight; for it is in abundance: timber also and stone have I prepared; and thou mayest add thereto.(KJV-1611) 1Ch 22:14 Gade! Mwen bay kò m' anpil traka pou m' pare tout bagay pou Tanp Seyè a: twamil twasan tòn ajan, ak yon gwo kantite kwiv ak fè moun pa ka kalkile. M' pare bwa ak wòch tou. Men, se pou ou fè pare toujou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:15 ============ 1Ch 22:15 Moreover there are workmen with thee in abundance, hewers and workers of stone and timber, and all manner of cunning men for every manner of work.(KJV-1611) 1Ch 22:15 Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:16 ============ 1Ch 22:16 Of the gold, the silver, and the brass, and the iron, there is no number. Arise therefore, and be doing, and the LORD be with thee.(KJV-1611) 1Ch 22:16 Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:17 ============ 1Ch 22:17 David also commanded all the princes of Israel to help Solomon his son, saying,(KJV-1611) 1Ch 22:17 Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:18 ============ 1Ch 22:18 Is not the LORD your God with you? and hath he not given you rest on every side? for he hath given the inhabitants of the land into mine hand; and the land is subdued before the LORD, and before his people.(KJV-1611) 1Ch 22:18 Li di yo konsa: -Seyè a, Bondye nou an, te toujou la avèk nou. Li fè nou viv nan lapè ak tout moun toupatou. Li lage nan men mwen tout lòt moun ki rete nan peyi a, kifè tout peyi a soumèt nèt devan Seyè a ak devan pèp li a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 22:19 ============ 1Ch 22:19 Now set your heart and your soul to seek the LORD your God; arise therefore, and build ye the sanctuary of the LORD God, to bring the ark of the covenant of the LORD, and the holy vessels of God, into the house that is to be built to the name of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 22:19 Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:1 ============ 1Ch 23:1 So when David was old and full of days, he made Solomon his son king over Israel.(KJV-1611) 1Ch 23:1 David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lè li mete Salomon, pitit li a, wa sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:2 ============ 1Ch 23:2 And he gathered together all the princes of Israel, with the priests and the Levites.(KJV-1611) 1Ch 23:2 Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:3 ============ 1Ch 23:3 Now the Levites were numbered from the age of thirty years and upward: and their number by their polls, man by man, was thirty and eight thousand.(KJV-1611) 1Ch 23:3 Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil gason.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:4 ============ 1Ch 23:4 Of which, twenty and four thousand were to set forward the work of the house of the LORD; and six thousand were officers and judges:(KJV-1611) 1Ch 23:4 David mete vennkatmil pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:5 ============ 1Ch 23:5 Moreover four thousand were porters; and four thousand praised the LORD with the instruments which I made, said David, to praise therewith.(KJV-1611) 1Ch 23:5 katmil pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:6 ============ 1Ch 23:6 And David divided them into courses among the sons of Levi, namely, Gershon, Kohath, and Merari.(KJV-1611) 1Ch 23:6 David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:7 ============ 1Ch 23:7 Of the Gershonites were, Laadan, and Shimei.(KJV-1611) 1Ch 23:7 Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:8 ============ 1Ch 23:8 The sons of Laadan; the chief was Jehiel, and Zetham, and Joel, three.(KJV-1611) 1Ch 23:8 Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:9 ============ 1Ch 23:9 The sons of Shimei; Shelomith, and Haziel, and Haran, three. These were the chief of the fathers of Laadan.(KJV-1611) 1Ch 23:9 Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:10 ============ 1Ch 23:10 And the sons of Shimei were, Jahath, Zina, and Jeush, and Beriah. These four were the sons of Shimei.(KJV-1611) 1Ch 23:10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:11 ============ 1Ch 23:11 And Jahath was the chief, and Zizah the second: but Jeush and Beriah had not many sons; therefore they were in one reckoning, according to their father's house.(KJV-1611) 1Ch 23:11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:12 ============ 1Ch 23:12 The sons of Kohath; Amram, Izhar, Hebron, and Uzziel, four.(KJV-1611) 1Ch 23:12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:13 ============ 1Ch 23:13 The sons of Amram; Aaron and Moses: and Aaron was separated, that he should sanctify the most holy things, he and his sons for ever, to burn incense before the LORD, to minister unto him, and to bless in his name for ever.(KJV-1611) 1Ch 23:13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:14 ============ 1Ch 23:14 Now concerning Moses the man of God, his sons were named of the tribe of Levi.(KJV-1611) 1Ch 23:14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:15 ============ 1Ch 23:15 The sons of Moses were, Gershom, and Eliezer.(KJV-1611) 1Ch 23:15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:16 ============ 1Ch 23:16 Of the sons of Gershom, Shebuel was the chief.(KJV-1611) 1Ch 23:16 Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:17 ============ 1Ch 23:17 And the sons of Eliezer were, Rehabiah the chief. And Eliezer had none other sons; but the sons of Rehabiah were very many.(KJV-1611) 1Ch 23:17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:18 ============ 1Ch 23:18 Of the sons of Izhar; Shelomith the chief.(KJV-1611) 1Ch 23:18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:19 ============ 1Ch 23:19 Of the sons of Hebron; Jeriah the first, Amariah the second, Jahaziel the third, and Jekameam the fourth.(KJV-1611) 1Ch 23:19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:20 ============ 1Ch 23:20 Of the sons of Uzziel; Micah the first and Jesiah the second.(KJV-1611) 1Ch 23:20 Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:21 ============ 1Ch 23:21 The sons of Merari; Mahli, and Mushi. The sons of Mahli; Eleazar, and Kish.(KJV-1611) 1Ch 23:21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:22 ============ 1Ch 23:22 And Eleazar died, and had no sons, but daughters: and their brethren the sons of Kish took them.(KJV-1611) 1Ch 23:22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:23 ============ 1Ch 23:23 The sons of Mushi; Mahli, and Eder, and Jeremoth, three.(KJV-1611) 1Ch 23:23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:24 ============ 1Ch 23:24 These were the sons of Levi after the house of their fathers; even the chief of the fathers, as they were counted by number of names by their polls, that did the work for the service of the house of the LORD, from the age of twenty years and upward.(KJV-1611) 1Ch 23:24 Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:25 ============ 1Ch 23:25 For David said, The LORD God of Israel hath given rest unto his people, that they may dwell in Jerusalem for ever:(KJV-1611) 1Ch 23:25 David te di: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Seyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:26 ============ 1Ch 23:26 And also unto the Levites; they shall no more carry the tabernacle, nor any vessels of it for the service thereof.(KJV-1611) 1Ch 23:26 Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:27 ============ 1Ch 23:27 For by the last words of David the Levites were numbered from twenty years old and above:(KJV-1611) 1Ch 23:27 Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:28 ============ 1Ch 23:28 Because their office was to wait on the sons of Aaron for the service of the house of the LORD, in the courts, and in the chambers, and in the purifying of all holy things, and the work of the service of the house of God;(KJV-1611) 1Ch 23:28 Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:29 ============ 1Ch 23:29 Both for the shewbread, and for the fine flour for meat offering, and for the unleavened cakes, and for that which is baked in the pan, and for that which is fried, and for all manner of measure and size;(KJV-1611) 1Ch 23:29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:30 ============ 1Ch 23:30 And to stand every morning to thank and praise the LORD, and likewise at even:(KJV-1611) 1Ch 23:30 Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:31 ============ 1Ch 23:31 And to offer all burnt sacrifices unto the LORD in the sabbaths, in the new moons, and on the set feasts, by number, according to the order commanded unto them, continually before the LORD:(KJV-1611) 1Ch 23:31 Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 23:32 ============ 1Ch 23:32 And that they should keep the charge of the tabernacle of the congregation, and the charge of the holy place, and the charge of the sons of Aaron their brethren, in the service of the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 23:32 Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:1 ============ 1Ch 24:1 Now these are the divisions of the sons of Aaron. The sons of Aaron; Nadab, and Abihu, Eleazar, and Ithamar.(KJV-1611) 1Ch 24:1 Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:2 ============ 1Ch 24:2 But Nadab and Abihu died before their father, and had no children: therefore Eleazar and Ithamar executed the priest's office.(KJV-1611) 1Ch 24:2 Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:3 ============ 1Ch 24:3 And David distributed them, both Zadok of the sons of Eleazar, and Ahimelech of the sons of Ithamar, according to their offices in their service.(KJV-1611) 1Ch 24:3 Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:4 ============ 1Ch 24:4 And there were more chief men found of the sons of Eleazar than of the sons of Ithamar, and thus were they divided. Among the sons of Eleazar there were sixteen chief men of the house of their fathers, and eight among the sons of Ithamar according to the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 24:4 Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:5 ============ 1Ch 24:5 Thus were they divided by lot, one sort with another; for the governors of the sanctuary, and governors of the house of God, were of the sons of Eleazar, and of the sons of Ithamar.(KJV-1611) 1Ch 24:5 Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:6 ============ 1Ch 24:6 And Shemaiah the son of Nethaneel the scribe, one of the Levites, wrote them before the king, and the princes, and Zadok the priest, and Ahimelech the son of Abiathar, and before the chief of the fathers of the priests and Levites: one principal household being taken for Eleazar, and one taken for Ithamar.(KJV-1611) 1Ch 24:6 Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:7 ============ 1Ch 24:7 Now the first lot came forth to Jehoiarib, the second to Jedaiah,(KJV-1611) 1Ch 24:7 Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:8 ============ 1Ch 24:8 The third to Harim, the fourth to Seorim,(KJV-1611) 1Ch 24:8 Arim twazyèm, Seorim katriyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:9 ============ 1Ch 24:9 The fifth to Malchijah, the sixth to Mijamin,(KJV-1611) 1Ch 24:9 Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:10 ============ 1Ch 24:10 The seventh to Hakkoz, the eighth to Abijah,(KJV-1611) 1Ch 24:10 Akòz setyèm, Abija wityèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:11 ============ 1Ch 24:11 The ninth to Jeshuah, the tenth to Shecaniah,(KJV-1611) 1Ch 24:11 Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:12 ============ 1Ch 24:12 The eleventh to Eliashib, the twelfth to Jakim,(KJV-1611) 1Ch 24:12 Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:13 ============ 1Ch 24:13 The thirteenth to Huppah, the fourteenth to Jeshebeab,(KJV-1611) 1Ch 24:13 Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:14 ============ 1Ch 24:14 The fifteenth to Bilgah, the sixteenth to Immer,(KJV-1611) 1Ch 24:14 Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:15 ============ 1Ch 24:15 The seventeenth to Hezir, the eighteenth to Aphses,(KJV-1611) 1Ch 24:15 Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:16 ============ 1Ch 24:16 The nineteenth to Pethahiah, the twentieth to Jehezekel,(KJV-1611) 1Ch 24:16 Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:17 ============ 1Ch 24:17 The one and twentieth to Jachin, the two and twentieth to Gamul,(KJV-1611) 1Ch 24:17 Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:18 ============ 1Ch 24:18 The three and twentieth to Delaiah, the four and twentieth to Maaziah.(KJV-1611) 1Ch 24:18 Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:19 ============ 1Ch 24:19 These were the orderings of them in their service to come into the house of the LORD, according to their manner, under Aaron their father, as the LORD God of Israel had commanded him.(KJV-1611) 1Ch 24:19 Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:20 ============ 1Ch 24:20 And the rest of the sons of Levi were these: Of the sons of Amram; Shubael: of the sons of Shubael; Jehdeiah.(KJV-1611) 1Ch 24:20 Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:21 ============ 1Ch 24:21 Concerning Rehabiah: of the sons of Rehabiah, the first was Isshiah.(KJV-1611) 1Ch 24:21 Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:22 ============ 1Ch 24:22 Of the Izharites; Shelomoth: of the sons of Shelomoth; Jahath.(KJV-1611) 1Ch 24:22 Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:23 ============ 1Ch 24:23 And the sons of Hebron; Jeriah the first, Amariah the second, Jahaziel the third, Jekameam the fourth.(KJV-1611) 1Ch 24:23 Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:24 ============ 1Ch 24:24 Of the sons of Uzziel; Michah: of the sons of Michah; Shamir.(KJV-1611) 1Ch 24:24 Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:25 ============ 1Ch 24:25 The brother of Michah was Isshiah: of the sons of Isshiah; Zechariah.(KJV-1611) 1Ch 24:25 Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:26 ============ 1Ch 24:26 The sons of Merari were Mahli and Mushi: the sons of Jaaziah; Beno.(KJV-1611) 1Ch 24:26 Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:27 ============ 1Ch 24:27 The sons of Merari by Jaaziah; Beno, and Shoham, and Zaccur, and Ibri.(KJV-1611) 1Ch 24:27 Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:28 ============ 1Ch 24:28 Of Mahli came Eleazar, who had no sons.(KJV-1611) 1Ch 24:28 Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:29 ============ 1Ch 24:29 Concerning Kish: the son of Kish was Jerahmeel.(KJV-1611) 1Ch 24:29 ak Kich ki te papa Jerakmeyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:30 ============ 1Ch 24:30 The sons also of Mushi; Mahli, and Eder, and Jerimoth. These were the sons of the Levites after the house of their fathers.(KJV-1611) 1Ch 24:30 Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 24:31 ============ 1Ch 24:31 These likewise cast lots over against their brethren the sons of Aaron in the presence of David the king, and Zadok, and Ahimelech, and the chief of the fathers of the priests and Levites, even the principal fathers over against their younger brethren.(KJV-1611) 1Ch 24:31 Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:1 ============ 1Ch 25:1 Moreover David and the captains of the host separated to the service of the sons of Asaph, and of Heman, and of Jeduthun, who should prophesy with harps, with psalteries, and with cymbals: and the number of the workmen according to their service was:(KJV-1611) 1Ch 25:1 Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:2 ============ 1Ch 25:2 Of the sons of Asaph; Zaccur, and Joseph, and Nethaniah, and Asarelah, the sons of Asaph under the hands of Asaph, which prophesied according to the order of the king.(KJV-1611) 1Ch 25:2 Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:3 ============ 1Ch 25:3 Of Jeduthun: the sons of Jeduthun; Gedaliah, and Zeri, and Jeshaiah, Hashabiah, and Mattithiah, six, under the hands of their father Jeduthun, who prophesied with a harp, to give thanks and to praise the LORD.(KJV-1611) 1Ch 25:3 Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:4 ============ 1Ch 25:4 Of Heman: the sons of Heman: Bukkiah, Mattaniah, Uzziel, Shebuel, and Jerimoth, Hananiah, Hanani, Eliathah, Giddalti, and Romamtiezer, Joshbekashah, Mallothi, Hothir, and Mahazioth:(KJV-1611) 1Ch 25:4 Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:5 ============ 1Ch 25:5 All these were the sons of Heman the king's seer in the words of God, to lift up the horn. And God gave to Heman fourteen sons and three daughters.(KJV-1611) 1Ch 25:5 Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:6 ============ 1Ch 25:6 All these were under the hands of their father for song in the house of the LORD, with cymbals, psalteries, and harps, for the service of the house of God, according to the king's order to Asaph, Jeduthun, and Heman.(KJV-1611) 1Ch 25:6 Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:7 ============ 1Ch 25:7 So the number of them, with their brethren that were instructed in the songs of the LORD, even all that were cunning, was two hundred fourscore and eight.(KJV-1611) 1Ch 25:7 Sa te fè antou desankatrevenwit mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:8 ============ 1Ch 25:8 And they cast lots, ward against ward, as well the small as the great, the teacher as the scholar.(KJV-1611) 1Ch 25:8 Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:9 ============ 1Ch 25:9 Now the first lot came forth for Asaph to Joseph: the second to Gedaliah, who with his brethren and sons were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:9 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:10 ============ 1Ch 25:10 The third to Zaccur, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:10 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:11 ============ 1Ch 25:11 The fourth to Izri, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:11 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:12 ============ 1Ch 25:12 The fifth to Nethaniah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:12 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:13 ============ 1Ch 25:13 The sixth to Bukkiah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:13 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:14 ============ 1Ch 25:14 The seventh to Jesharelah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:14 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:15 ============ 1Ch 25:15 The eighth to Jeshaiah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:15 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:16 ============ 1Ch 25:16 The ninth to Mattaniah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:16 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:17 ============ 1Ch 25:17 The tenth to Shimei, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:17 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:18 ============ 1Ch 25:18 The eleventh to Azareel, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:18 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:19 ============ 1Ch 25:19 The twelfth to Hashabiah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:19 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:20 ============ 1Ch 25:20 The thirteenth to Shubael, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:20 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:21 ============ 1Ch 25:21 The fourteenth to Mattithiah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:21 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:22 ============ 1Ch 25:22 The fifteenth to Jeremoth, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:22 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:23 ============ 1Ch 25:23 The sixteenth to Hananiah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:23 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:24 ============ 1Ch 25:24 The seventeenth to Joshbekashah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:24 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:25 ============ 1Ch 25:25 The eighteenth to Hanani, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:25 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:26 ============ 1Ch 25:26 The nineteenth to Mallothi, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:26 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:27 ============ 1Ch 25:27 The twentieth to Eliathah, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:27 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:28 ============ 1Ch 25:28 The one and twentieth to Hothir, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:28 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:29 ============ 1Ch 25:29 The two and twentieth to Giddalti, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:29 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:30 ============ 1Ch 25:30 The three and twentieth to Mahazioth, he, his sons, and his brethren, were twelve:(KJV-1611) 1Ch 25:30 -(We vèsè 31)(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 25:31 ============ 1Ch 25:31 The four and twentieth to Romamtiezer, he, his sons, and his brethren, were twelve.(KJV-1611) 1Ch 25:31 Desankatrevenwit mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:1 ============ 1Ch 26:1 Concerning the divisions of the porters: Of the Korhites was Meshelemiah the son of Kore, of the sons of Asaph.(KJV-1611) 1Ch 26:1 Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:2 ============ 1Ch 26:2 And the sons of Meshelemiah were, Zechariah the firstborn, Jediael the second, Zebadiah the third, Jathniel the fourth,(KJV-1611) 1Ch 26:2 Mechelemya te gen sèt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayèl dezyèm lan, Zebadya twazyèm lan, Jatniyèl katriyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:3 ============ 1Ch 26:3 Elam the fifth, Jehohanan the sixth, Elioenai the seventh.(KJV-1611) 1Ch 26:3 Elam senkyèm lan, Joanan sizyèm lan ak Elioenayi setyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:4 ============ 1Ch 26:4 Moreover the sons of Obededom were, Shemaiah the firstborn, Jehozabad the second, Joah the third, and Sacar the fourth, and Nethaneel the fifth.(KJV-1611) 1Ch 26:4 Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:5 ============ 1Ch 26:5 Ammiel the sixth, Issachar the seventh, Peulthai the eighth: for God blessed him.(KJV-1611) 1Ch 26:5 Amiyèl sizyèm lan, Isaka setyèm lan ak Peoultayi wityèm lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:6 ============ 1Ch 26:6 Also unto Shemaiah his son were sons born, that ruled throughout the house of their father: for they were mighty men of valour.(KJV-1611) 1Ch 26:6 Chemaja, premye pitit Obèd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chèf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sòlda ak anpil ladrès.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:7 ============ 1Ch 26:7 The sons of Shemaiah; Othni, and Rephael, and Obed, Elzabad, whose brethren were strong men, Elihu, and Semachiah.(KJV-1611) 1Ch 26:7 Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayèl, Obèd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dènye yo te vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:8 ============ 1Ch 26:8 All these of the sons of Obededom: they and their sons and their brethren, able men for strength for the service, were threescore and two of Obededom.(KJV-1611) 1Ch 26:8 Se tout fanmi Obèd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frè yo. Yo tout te vanyan sòlda ak anpil ladrès pou fè travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Obèd-Edon an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:9 ============ 1Ch 26:9 And Meshelemiah had sons and brethren, strong men, eighteen.(KJV-1611) 1Ch 26:9 Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:10 ============ 1Ch 26:10 Also Hosah, of the children of Merari, had sons; Simri the chief, (for though he was not the firstborn, yet his father made him the chief;)(KJV-1611) 1Ch 26:10 Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chèf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chèf fanmi an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:11 ============ 1Ch 26:11 Hilkiah the second, Tebaliah the third, Zechariah the fourth: all the sons and brethren of Hosah were thirteen.(KJV-1611) 1Ch 26:11 Ilkija dezyèm lan, Tebalya twazyèm lan, Zakari katriyèm lan. Sa te fè antou trèz frè ak pitit gason nan fanmi Oza a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:12 ============ 1Ch 26:12 Among these were the divisions of the porters, even among the chief men, having wards one against another, to minister in the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 26:12 Travay gwoup moun sa yo se fè pòs nan pòtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sèvis Tanp lan, tankou yo te fè l' pou lòt moun Levi yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:13 ============ 1Ch 26:13 And they cast lots, as well the small as the great, according to the house of their fathers, for every gate.(KJV-1611) 1Ch 26:13 Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pòtay y'ap fè travay yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:14 ============ 1Ch 26:14 And the lot eastward fell to Shelemiah. Then for Zechariah his son, a wise counsellor, they cast lots; and his lot came out northward.(KJV-1611) 1Ch 26:14 Chelemya soti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsèy.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:15 ============ 1Ch 26:15 To Obededom southward; and to his sons the house of Asuppim.(KJV-1611) 1Ch 26:15 Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:16 ============ 1Ch 26:16 To Shuppim and Hosah the lot came forth westward, with the gate Shallecheth, by the causeway of the going up, ward against ward.(KJV-1611) 1Ch 26:16 Pòtay solèy kouche a ak pòtay Chalechèt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnè, yonn apre lòt, te gen lè sèvis pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:17 ============ 1Ch 26:17 Eastward were six Levites, northward four a day, southward four a day, and toward Asuppim two and two.(KJV-1611) 1Ch 26:17 Chak jou, te gen sis gad pou pòtay bò solèy leve a, kat gad pou pòtay nò a, kat gad pou pòtay sid la ak de gad pou chak depo yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:18 ============ 1Ch 26:18 At Parbar westward, four at the causeway, and two at Parbar.(KJV-1611) 1Ch 26:18 Pou pòsyon kay ki bay sou solèy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pòsyon kay la menm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:19 ============ 1Ch 26:19 These are the divisions of the porters among the sons of Kore, and among the sons of Merari.(KJV-1611) 1Ch 26:19 Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:20 ============ 1Ch 26:20 And of the Levites, Ahijah was over the treasures of the house of God, and over the treasures of the dedicated things.(KJV-1611) 1Ch 26:20 Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:21 ============ 1Ch 26:21 As concerning the sons of Laadan; the sons of the Gershonite Laadan, chief fathers, even of Laadan the Gershonite, were Jehieli.(KJV-1611) 1Ch 26:21 Layedan, yonn nan pitit Gèchon yo, te zansèt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:22 ============ 1Ch 26:22 The sons of Jehieli; Zetham, and Joel his brother, which were over the treasures of the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 26:22 Pitit Jekiyèl yo ak pitit frè l' yo, Zetam ak Joèl, te reskonsab trezò Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:23 ============ 1Ch 26:23 Of the Amramites, and the Izharites, the Hebronites, and the Uzzielites:(KJV-1611) 1Ch 26:23 Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo travay pa yo tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:24 ============ 1Ch 26:24 And Shebuel the son of Gershom, the son of Moses, was ruler of the treasures.(KJV-1611) 1Ch 26:24 Chebwèl, yonn nan fanmi Gèchòm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezò Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:25 ============ 1Ch 26:25 And his brethren by Eliezer; Rehabiah his son, and Jeshaiah his son, and Joram his son, and Zichri his son, and Shelomith his son.(KJV-1611) 1Ch 26:25 Sou bò Elyezè, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezè a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:26 ============ 1Ch 26:26 Which Shelomith and his brethren were over all the treasures of the dedicated things, which David the king, and the chief fathers, the captains over thousands and hundreds, and the captains of the host, had dedicated.(KJV-1611) 1Ch 26:26 Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:27 ============ 1Ch 26:27 Out of the spoils won in battles did they dedicate to maintain the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 26:27 Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:28 ============ 1Ch 26:28 And all that Samuel the seer, and Saul the son of Kish, and Abner the son of Ner, and Joab the son of Zeruiah, had dedicated; and whosoever had dedicated any thing, it was under the hand of Shelomith, and of his brethren.(KJV-1611) 1Ch 26:28 Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:29 ============ 1Ch 26:29 Of the Izharites, Chenaniah and his sons were for the outward business over Israel, for officers and judges.(KJV-1611) 1Ch 26:29 Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:30 ============ 1Ch 26:30 And of the Hebronites, Hashabiah and his brethren, men of valour, a thousand and seven hundred, were officers among them of Israel on this side Jordan westward in all the business of the LORD, and in the service of the king.(KJV-1611) 1Ch 26:30 Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:31 ============ 1Ch 26:31 Among the Hebronites was Jerijah the chief, even among the Hebronites, according to the generations of his fathers. In the fortieth year of the reign of David they were sought for, and there were found among them mighty men of valour at Jazer of Gilead.(KJV-1611) 1Ch 26:31 David te gen karantan depi li te wa, lè yo mennen yon ankèt nan branch fanmi Ebwon an. Lè sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sòlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazè nan zòn Galarad. Chèf fanmi Ebwon an te rele Jerija.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 26:32 ============ 1Ch 26:32 And his brethren, men of valour, were two thousand and seven hundred chief fathers, whom king David made rulers over the Reubenites, the Gadites, and the half tribe of Manasseh, for every matter pertaining to God, and affairs of the king.(KJV-1611) 1Ch 26:32 Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:1 ============ 1Ch 27:1 Now the children of Israel after their number, to wit, the chief fathers and captains of thousands and hundreds, and their officers that served the king in any matter of the courses, which came in and went out month by month throughout all the months of the year, of every course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:1 Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:2 ============ 1Ch 27:2 Over the first course for the first month was Jashobeam the son of Zabdiel: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:2 Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:3 ============ 1Ch 27:3 Of the children of Perez was the chief of all the captains of the host for the first month.(KJV-1611) 1Ch 27:3 Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:4 ============ 1Ch 27:4 And over the course of the second month was Dodai an Ahohite, and of his course was Mikloth also the ruler: in his course likewise were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:4 Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:5 ============ 1Ch 27:5 The third captain of the host for the third month was Benaiah the son of Jehoiada, a chief priest: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:5 Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:6 ============ 1Ch 27:6 This is that Benaiah, who was mighty among the thirty, and above the thirty: and in his course was Ammizabad his son.(KJV-1611) 1Ch 27:6 Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l', ki te pran kòmandman gwoup la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:7 ============ 1Ch 27:7 The fourth captain for the fourth month was Asahel the brother of Joab, and Zebadiah his son after him: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:7 Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:8 ============ 1Ch 27:8 The fifth captain for the fifth month was Shamhuth the Izrahite: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:8 Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:9 ============ 1Ch 27:9 The sixth captain for the sixth month was Ira the son of Ikkesh the Tekoite: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:9 Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:10 ============ 1Ch 27:10 The seventh captain for the seventh month was Helez the Pelonite, of the children of Ephraim: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:10 Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:11 ============ 1Ch 27:11 The eighth captain for the eighth month was Sibbecai the Hushathite, of the Zarhites: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:11 Pou gwoup wityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:12 ============ 1Ch 27:12 The ninth captain for the ninth month was Abiezer the Anetothite, of the Benjamites: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:12 Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:13 ============ 1Ch 27:13 The tenth captain for the tenth month was Maharai the Netophathite, of the Zarhites: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:13 Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:14 ============ 1Ch 27:14 The eleventh captain for the eleventh month was Benaiah the Pirathonite, of the children of Ephraim: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:14 Pou gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:15 ============ 1Ch 27:15 The twelfth captain for the twelfth month was Heldai the Netophathite, of Othniel: and in his course were twenty and four thousand.(KJV-1611) 1Ch 27:15 Pou gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:16 ============ 1Ch 27:16 Furthermore over the tribes of Israel: the ruler of the Reubenites was Eliezer the son of Zichri: of the Simeonites, Shephatiah the son of Maachah:(KJV-1611) 1Ch 27:16 Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Woubenn lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:17 ============ 1Ch 27:17 Of the Levites, Hashabiah the son of Kemuel: of the Aaronites, Zadok:(KJV-1611) 1Ch 27:17 Pou branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:18 ============ 1Ch 27:18 Of Judah, Elihu, one of the brethren of David: of Issachar, Omri the son of Michael:(KJV-1611) 1Ch 27:18 Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:19 ============ 1Ch 27:19 Of Zebulun, Ishmaiah the son of Obadiah: of Naphtali, Jerimoth the son of Azriel:(KJV-1611) 1Ch 27:19 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:20 ============ 1Ch 27:20 Of the children of Ephraim, Hoshea the son of Azaziah: of the half tribe of Manasseh, Joel the son of Pedaiah:(KJV-1611) 1Ch 27:20 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Joèl, pitit gason Pedaja.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:21 ============ 1Ch 27:21 Of the half tribe of Manasseh in Gilead, Iddo the son of Zechariah: of Benjamin, Jaasiel the son of Abner:(KJV-1611) 1Ch 27:21 Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:22 ============ 1Ch 27:22 Of Dan, Azareel the son of Jeroham. These were the princes of the tribes of Israel.(KJV-1611) 1Ch 27:22 Pou branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:23 ============ 1Ch 27:23 But David took not the number of them from twenty years old and under: because the LORD had said he would increase Israel like to the stars of the heavens.(KJV-1611) 1Ch 27:23 David pa t' fè konte moun ki pa t' ankò gen ventan sou tèt yo, paske Seyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:24 ============ 1Ch 27:24 Joab the son of Zeruiah began to number, but he finished not, because there fell wrath for it against Israel; neither was the number put in the account of the chronicles of king David.(KJV-1611) 1Ch 27:24 Joab, pitit gason Sewouya a, te konmanse ap konte moun nan pèp la, men li pa t' fin fè l' paske sa te lakòz Bondye te fache sou pèp la. Se konsa yo pa mete nan liv Istwa wa David la kantite moun yo te jwenn.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:25 ============ 1Ch 27:25 And over the king's treasures was Azmaveth the son of Adiel: and over the storehouses in the fields, in the cities, and in the villages, and in the castles, was Jehonathan the son of Uzziah:(KJV-1611) 1Ch 27:25 Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fwontyè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:26 ============ 1Ch 27:26 And over them that did the work of the field for tillage of the ground was Ezri the son of Chelub:(KJV-1611) 1Ch 27:26 Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:27 ============ 1Ch 27:27 And over the vineyards was Shimei the Ramathite: over the increase of the vineyards for the wine cellars was Zabdi the Shiphmite:(KJV-1611) 1Ch 27:27 Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:28 ============ 1Ch 27:28 And over the olive trees and the sycomore trees that were in the low plains was Baalhanan the Gederite: and over the cellars of oil was Joash:(KJV-1611) 1Ch 27:28 Se Baal anan, moun lavil Gedè, ki te reskonsab tout pye oliv ak pye sikomò ki te nan basrak yo. Se Joach ki te reskonsab depo lwil yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:29 ============ 1Ch 27:29 And over the herds that fed in Sharon was Shitrai the Sharonite: and over the herds that were in the valleys was Shaphat the son of Adlai:(KJV-1611) 1Ch 27:29 Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:30 ============ 1Ch 27:30 Over the camels also was Obil the Ishmaelite: and over the asses was Jehdeiah the Meronothite:(KJV-1611) 1Ch 27:30 Se Obil, moun fanmi Izmayèl yo, ki te reskonsab chamo yo. Se Jekdeja, moun lavil Mewonòt, ki te reskonsab fenmèl bourik yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:31 ============ 1Ch 27:31 And over the flocks was Jaziz the Hagerite. All these were the rulers of the substance which was king David's.(KJV-1611) 1Ch 27:31 Se Jazis, moun peyi Aga, ki te reskonsab mouton ak kabrit yo. Se tout moun sa yo ki te jeran tout byen wa David yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:32 ============ 1Ch 27:32 Also Jonathan David's uncle was a counsellor, a wise man, and a scribe: and Jehiel the son of Hachmoni was with the king's sons:(KJV-1611) 1Ch 27:32 Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:33 ============ 1Ch 27:33 And Ahithophel was the king's counsellor: and Hushai the Archite was the king's companion:(KJV-1611) 1Ch 27:33 Akitofèl te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 27:34 ============ 1Ch 27:34 And after Ahithophel was Jehoiada the son of Benaiah, and Abiathar: and the general of the king's army was Joab.(KJV-1611) 1Ch 27:34 Lè Akitofèl mouri, se Abyata ak Jeojada, pitit Benaja, ki vin konseye wa a. Joab te kòmandan lame wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:1 ============ 1Ch 28:1 And David assembled all the princes of Israel, the princes of the tribes, and the captains of the companies that ministered to the king by course, and the captains over the thousands, and captains over the hundreds, and the stewards over all the substance and possession of the king, and of his sons, with the officers, and with the mighty men, and with all the valiant men, unto Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 28:1 David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:2 ============ 1Ch 28:2 Then David the king stood up upon his feet, and said, Hear me, my brethren, and my people: As for me, I had in mine heart to build an house of rest for the ark of the covenant of the LORD, and for the footstool of our God, and had made ready for the building:(KJV-1611) 1Ch 28:2 David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:3 ============ 1Ch 28:3 But God said unto me, Thou shalt not build an house for my name, because thou hast been a man of war, and hast shed blood.(KJV-1611) 1Ch 28:3 Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:4 ============ 1Ch 28:4 Howbeit the LORD God of Israel chose me before all the house of my father to be king over Israel for ever: for he hath chosen Judah to be the ruler; and of the house of Judah, the house of my father; and among the sons of my father he liked me to make me king over all Israel:(KJV-1611) 1Ch 28:4 Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:5 ============ 1Ch 28:5 And of all my sons, (for the LORD hath given me many sons,) he hath chosen Solomon my son to sit upon the throne of the kingdom of the LORD over Israel.(KJV-1611) 1Ch 28:5 Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:6 ============ 1Ch 28:6 And he said unto me, Solomon thy son, he shall build my house and my courts: for I have chosen him to be my son, and I will be his father.(KJV-1611) 1Ch 28:6 Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:7 ============ 1Ch 28:7 Moreover I will establish his kingdom for ever, if he be constant to do my commandments and my judgments, as at this day.(KJV-1611) 1Ch 28:7 M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:8 ============ 1Ch 28:8 Now therefore in the sight of all Israel the congregation of the LORD, and in the audience of our God, keep and seek for all the commandments of the LORD your God: that ye may possess this good land, and leave it for an inheritance for your children after you for ever.(KJV-1611) 1Ch 28:8 Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:9 ============ 1Ch 28:9 And thou, Solomon my son, know thou the God of thy father, and serve him with a perfect heart and with a willing mind: for the LORD searcheth all hearts, and understandeth all the imaginations of the thoughts: if thou seek him, he will be found of thee; but if thou forsake him, he will cast thee off for ever.(KJV-1611) 1Ch 28:9 Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:10 ============ 1Ch 28:10 Take heed now; for the LORD hath chosen thee to build an house for the sanctuary: be strong, and do it.(KJV-1611) 1Ch 28:10 Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:11 ============ 1Ch 28:11 Then David gave to Solomon his son the pattern of the porch, and of the houses thereof, and of the treasuries thereof, and of the upper chambers thereof, and of the inner parlours thereof, and of the place of the mercy seat,(KJV-1611) 1Ch 28:11 Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:12 ============ 1Ch 28:12 And the pattern of all that he had by the spirit, of the courts of the house of the LORD, and of all the chambers round about, of the treasuries of the house of God, and of the treasuries of the dedicated things:(KJV-1611) 1Ch 28:12 Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:13 ============ 1Ch 28:13 Also for the courses of the priests and the Levites, and for all the work of the service of the house of the LORD, and for all the vessels of service in the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 28:13 David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:14 ============ 1Ch 28:14 He gave of gold by weight for things of gold, for all instruments of all manner of service; silver also for all instruments of silver by weight, for all instruments of every kind of service:(KJV-1611) 1Ch 28:14 Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:15 ============ 1Ch 28:15 Even the weight for the candlesticks of gold, and for their lamps of gold, by weight for every candlestick, and for the lamps thereof: and for the candlesticks of silver by weight, both for the candlestick, and also for the lamps thereof, according to the use of every candlestick.(KJV-1611) 1Ch 28:15 pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:16 ============ 1Ch 28:16 And by weight he gave gold for the tables of shewbread, for every table; and likewise silver for the tables of silver:(KJV-1611) 1Ch 28:16 pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:17 ============ 1Ch 28:17 Also pure gold for the fleshhooks, and the bowls, and the cups: and for the golden basons he gave gold by weight for every bason; and likewise silver by weight for every bason of silver:(KJV-1611) 1Ch 28:17 Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:18 ============ 1Ch 28:18 And for the altar of incense refined gold by weight; and gold for the pattern of the chariot of the cherubims, that spread out their wings, and covered the ark of the covenant of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 28:18 Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:19 ============ 1Ch 28:19 All this, said David, the LORD made me understand in writing by his hand upon me, even all the works of this pattern.(KJV-1611) 1Ch 28:19 David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:20 ============ 1Ch 28:20 And David said to Solomon his son, Be strong and of good courage, and do it: fear not, nor be dismayed: for the LORD God, even my God, will be with thee; he will not fail thee, nor forsake thee, until thou hast finished all the work for the service of the house of the LORD.(KJV-1611) 1Ch 28:20 Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 28:21 ============ 1Ch 28:21 And, behold, the courses of the priests and the Levites, even they shall be with thee for all the service of the house of God: and there shall be with thee for all manner of workmanship every willing skilful man, for any manner of service: also the princes and all the people will be wholly at thy commandment.(KJV-1611) 1Ch 28:21 Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:1 ============ 1Ch 29:1 Furthermore David the king said unto all the congregation, Solomon my son, whom alone God hath chosen, is yet young and tender, and the work is great: for the palace is not for man, but for the LORD God.(KJV-1611) 1Ch 29:1 Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:2 ============ 1Ch 29:2 Now I have prepared with all my might for the house of my God the gold for things to be made of gold, and the silver for things of silver, and the brass for things of brass, the iron for things of iron, and wood for things of wood; onyx stones, and stones to be set, glistering stones, and of divers colours, and all manner of precious stones, and marble stones in abundance.(KJV-1611) 1Ch 29:2 Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:3 ============ 1Ch 29:3 Moreover, because I have set my affection to the house of my God, I have of mine own proper good, of gold and silver, which I have given to the house of my God, over and above all that I have prepared for the holy house.(KJV-1611) 1Ch 29:3 Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:4 ============ 1Ch 29:4 Even three thousand talents of gold, of the gold of Ophir, and seven thousand talents of refined silver, to overlay the walls of the houses withal:(KJV-1611) 1Ch 29:4 sanmil kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan,(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:5 ============ 1Ch 29:5 The gold for things of gold, and the silver for things of silver, and for all manner of work to be made by the hands of artificers. And who then is willing to consecrate his service this day unto the LORD?(KJV-1611) 1Ch 29:5 pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye?(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:6 ============ 1Ch 29:6 Then the chief of the fathers and princes of the tribes of Israel and the captains of thousands and of hundreds, with the rulers of the king's work, offered willingly,(KJV-1611) 1Ch 29:6 Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:7 ============ 1Ch 29:7 And gave for the service of the house of God of gold five thousand talents and ten thousand drams, and of silver ten thousand talents, and of brass eighteen thousand talents, and one hundred thousand talents of iron.(KJV-1611) 1Ch 29:7 Yo bay sanswasannsenk kilo fè pou travay Tanp lan.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:8 ============ 1Ch 29:8 And they with whom precious stones were found gave them to the treasure of the house of the LORD, by the hand of Jehiel the Gershonite.(KJV-1611) 1Ch 29:8 Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:9 ============ 1Ch 29:9 Then the people rejoiced, for that they offered willingly, because with perfect heart they offered willingly to the LORD: and David the king also rejoiced with great joy.(KJV-1611) 1Ch 29:9 Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:10 ============ 1Ch 29:10 Wherefore David blessed the LORD before all the congregation: and David said, Blessed be thou, LORD God of Israel our father, for ever and ever.(KJV-1611) 1Ch 29:10 Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:11 ============ 1Ch 29:11 Thine, O LORD is the greatness, and the power, and the glory, and the victory, and the majesty: for all that is in the heaven and in the earth is thine; thine is the kingdom, O LORD, and thou art exalted as head above all.(KJV-1611) 1Ch 29:11 Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:12 ============ 1Ch 29:12 Both riches and honour come of thee, and thou reignest over all; and in thine hand is power and might; and in thine hand it is to make great, and to give strength unto all.(KJV-1611) 1Ch 29:12 Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:13 ============ 1Ch 29:13 Now therefore, our God, we thank thee, and praise thy glorious name.(KJV-1611) 1Ch 29:13 Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:14 ============ 1Ch 29:14 But who am I, and what is my people, that we should be able to offer so willingly after this sort? for all things come of thee, and of thine own have we given thee.(KJV-1611) 1Ch 29:14 Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:15 ============ 1Ch 29:15 For we are strangers before thee, and sojourners, as were all our fathers: our days on the earth are as a shadow, and there is none abiding.(KJV-1611) 1Ch 29:15 Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:16 ============ 1Ch 29:16 O LORD our God, all this store that we have prepared to build thee an house for thine holy name cometh of thine hand, and is all thine own.(KJV-1611) 1Ch 29:16 Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:17 ============ 1Ch 29:17 I know also, my God, that thou triest the heart, and hast pleasure in uprightness. As for me, in the uprightness of mine heart I have willingly offered all these things: and now have I seen with joy thy people, which are present here, to offer willingly unto thee.(KJV-1611) 1Ch 29:17 Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:18 ============ 1Ch 29:18 O LORD God of Abraham, Isaac, and of Israel, our fathers, keep this for ever in the imagination of the thoughts of the heart of thy people, and prepare their heart unto thee:(KJV-1611) 1Ch 29:18 Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:19 ============ 1Ch 29:19 And give unto Solomon my son a perfect heart, to keep thy commandments, thy testimonies, and thy statutes, and to do all these things, and to build the palace, for the which I have made provision.(KJV-1611) 1Ch 29:19 Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:20 ============ 1Ch 29:20 And David said to all the congregation, Now bless the LORD your God. And all the congregation blessed the LORD God of their fathers, and bowed down their heads, and worshipped the LORD, and the king.(KJV-1611) 1Ch 29:20 Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:21 ============ 1Ch 29:21 And they sacrificed sacrifices unto the LORD, and offered burnt offerings unto the LORD, on the morrow after that day, even a thousand bullocks, a thousand rams, and a thousand lambs, with their drink offerings, and sacrifices in abundance for all Israel:(KJV-1611) 1Ch 29:21 Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:22 ============ 1Ch 29:22 And did eat and drink before the LORD on that day with great gladness. And they made Solomon the son of David king the second time, and anointed him unto the LORD to be the chief governor, and Zadok to be priest.(KJV-1611) 1Ch 29:22 Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:23 ============ 1Ch 29:23 Then Solomon sat on the throne of the LORD as king instead of David his father, and prospered; and all Israel obeyed him.(KJV-1611) 1Ch 29:23 Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:24 ============ 1Ch 29:24 And all the princes, and the mighty men, and all the sons likewise of king David, submitted themselves unto Solomon the king.(KJV-1611) 1Ch 29:24 Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:25 ============ 1Ch 29:25 And the LORD magnified Solomon exceedingly in the sight of all Israel, and bestowed upon him such royal majesty as had not been on any king before him in Israel.(KJV-1611) 1Ch 29:25 Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:26 ============ 1Ch 29:26 Thus David the son of Jesse reigned over all Israel.(KJV-1611) 1Ch 29:26 David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:27 ============ 1Ch 29:27 And the time that he reigned over Israel was forty years; seven years reigned he in Hebron, and thirty and three years reigned he in Jerusalem.(KJV-1611) 1Ch 29:27 Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:28 ============ 1Ch 29:28 And he died in a good old age, full of days, riches, and honour: and Solomon his son reigned in his stead.(KJV-1611) 1Ch 29:28 Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:29 ============ 1Ch 29:29 Now the acts of David the king, first and last, behold, they are written in the book of Samuel the seer, and in the book of Nathan the prophet, and in the book of Gad the seer,(KJV-1611) 1Ch 29:29 Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri.(Creole-HT) ======= 1 Chronicles 29:30 ============ 1Ch 29:30 With all his reign and his might, and the times that went over him, and over Israel, and over all the kingdoms of the countries.(KJV-1611) 1Ch 29:30 Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:1 ============ 2Ch 1:1 And Solomon the son of David was strengthened in his kingdom, and the LORD his God was with him, and magnified him exceedingly.(KJV-1611) 2Ch 1:1 Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvènman l'. Seyè a, Bondye li a, te kanpe la avè l', li te ba li anpil pouvwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:2 ============ 2Ch 1:2 Then Solomon spake unto all Israel, to the captains of thousands and of hundreds, and to the judges, and to every governor in all Israel, the chief of the fathers.(KJV-1611) 2Ch 1:2 Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:3 ============ 2Ch 1:3 So Solomon, and all the congregation with him, went to the high place that was at Gibeon; for there was the tabernacle of the congregation of God, which Moses the servant of the LORD had made in the wilderness.(KJV-1611) 2Ch 1:3 Li ba yo lòd pou yo ale avè l' kote yo fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Seyè a, te fè lè yo te nan dezè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:4 ============ 2Ch 1:4 But the ark of God had David brought up from Kirjathjearim to the place which David had prepared for it: for he had pitched a tent for it at Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 1:4 Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:5 ============ 2Ch 1:5 Moreover the brasen altar, that Bezaleel the son of Uri, the son of Hur, had made, he put before the tabernacle of the LORD: and Solomon and the congregation sought unto it.(KJV-1611) 2Ch 1:5 Gwo lotèl kwiv Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our la, te fè a te lavil Gabawon tou devan Tant Randevou Seyè a. Se la wa Salomon ak tout pèp la vin pale ak Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:6 ============ 2Ch 1:6 And Solomon went up thither to the brasen altar before the LORD, which was at the tabernacle of the congregation, and offered a thousand burnt offerings upon it.(KJV-1611) 2Ch 1:6 Devan Tant Randevou Seyè a, Salomon moute sou lotèl kwiv la, li touye mil bèt li fè boule nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:7 ============ 2Ch 1:7 In that night did God appear unto Solomon, and said unto him, Ask what I shall give thee.(KJV-1611) 2Ch 1:7 Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l' konsa: -Mande m' sa ou vle, m'ap ba ou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:8 ============ 2Ch 1:8 And Solomon said unto God, Thou hast shewed great mercy unto David my father, and hast made me to reign in his stead.(KJV-1611) 2Ch 1:8 Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sèvitè ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:9 ============ 2Ch 1:9 Now, O LORD God, let thy promise unto David my father be established: for thou hast made me king over a people like the dust of the earth in multitude.(KJV-1611) 2Ch 1:9 O Seyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyè tè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:10 ============ 2Ch 1:10 Give me now wisdom and knowledge, that I may go out and come in before this people: for who can judge this thy people, that is so great?(KJV-1611) 2Ch 1:10 Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:11 ============ 2Ch 1:11 And God said to Solomon, Because this was in thine heart, and thou hast not asked riches, wealth, or honour, nor the life of thine enemies, neither yet hast asked long life; but hast asked wisdom and knowledge for thyself, that thou mayest judge my people, over whom I have made thee king:(KJV-1611) 2Ch 1:11 Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:12 ============ 2Ch 1:12 Wisdom and knowledge is granted unto thee; and I will give thee riches, and wealth, and honour, such as none of the kings have had that have been before thee, neither shall there any after thee have the like.(KJV-1611) 2Ch 1:12 M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:13 ============ 2Ch 1:13 Then Solomon came from his journey to the high place that was at Gibeon to Jerusalem, from before the tabernacle of the congregation, and reigned over Israel.(KJV-1611) 2Ch 1:13 Apre sa, Salomon kite kote yo konn fè sèvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevou a te ye a, li tounen lavil Jerizalèm. Se la li gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:14 ============ 2Ch 1:14 And Solomon gathered chariots and horsemen: and he had a thousand and four hundred chariots, and twelve thousand horsemen, which he placed in the chariot cities, and with the king at Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 1:14 Li te sanble milkatsan chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l' lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:15 ============ 2Ch 1:15 And the king made silver and gold at Jerusalem as plenteous as stones, and cedar trees made he as the sycomore trees that are in the vale for abundance.(KJV-1611) 2Ch 1:15 Pandan tout rèy li, ajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:16 ============ 2Ch 1:16 And Solomon had horses brought out of Egypt, and linen yarn: the king's merchants received the linen yarn at a price.(KJV-1611) 2Ch 1:16 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo la pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 1:17 ============ 2Ch 1:17 And they fetched up, and brought forth out of Egypt a chariot for six hundred shekels of silver, and an horse for an hundred and fifty: and so brought they out horses for all the kings of the Hittites, and for the kings of Syria, by their means.(KJV-1611) 2Ch 1:17 Chak cha lagè yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:1 ============ 2Ch 2:1 And Solomon determined to build an house for the name of the LORD, and an house for his kingdom.(KJV-1611) 2Ch 2:1 Wa Salomon te deside bati yon kay kote pou yo fè sèvis pou Seyè a, ansanm ak yon palè pou l' rete.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:2 ============ 2Ch 2:2 And Solomon told out threescore and ten thousand men to bear burdens, and fourscore thousand to hew in the mountain, and three thousand and six hundred to oversee them.(KJV-1611) 2Ch 2:2 Li mete swasanndimil moun reskonsab kontwole travay la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:3 ============ 2Ch 2:3 And Solomon sent to Huram the king of Tyre, saying, As thou didst deal with David my father, and didst send him cedars to build him an house to dwell therein, even so deal with me.(KJV-1611) 2Ch 2:3 Salomon voye misyon bay Iram, wa lavil Tir. Li di l': -Annou fè zafè yonn ak lòt tankou ou te fè avèk wa David, papa m', lè ou te vann li madriye sèd pou l' te bati yon kay pou l' rete.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:4 ============ 2Ch 2:4 Behold, I build an house to the name of the LORD my God, to dedicate it to him, and to burn before him sweet incense, and for the continual shewbread, and for the burnt offerings morning and evening, on the sabbaths, and on the new moons, and on the solemn feasts of the LORD our God. This is an ordinance for ever to Israel.(KJV-1611) 2Ch 2:4 Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:5 ============ 2Ch 2:5 And the house which I build is great: for great is our God above all gods.(KJV-1611) 2Ch 2:5 Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:6 ============ 2Ch 2:6 But who is able to build him an house, seeing the heaven and heaven of heavens cannot contain him? who am I then, that I should build him an house, save only to burn sacrifice before him?(KJV-1611) 2Ch 2:6 Lèfini, ki moun ki ka rive bati yon kay vre pou Bondye, si syèl la, atout li gwo a, twò piti pou li? Mwen menm, kisa m' ye pou m' ta bati yon kay pou li? Se annik yon kote pou m' boule lansan pou li m'ap fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:7 ============ 2Ch 2:7 Send me now therefore a man cunning to work in gold, and in silver, and in brass, and in iron, and in purple, and crimson, and blue, and that can skill to grave with the cunning men that are with me in Judah and in Jerusalem, whom David my father did provide.(KJV-1611) 2Ch 2:7 Se konsa, voye ban mwen yon bòs ki gen ladrès pou travay lò, ajan, kwiv, fè, yon bòs ki konn koupe twal ble, twal violèt ak twal wouj, bòs ki konn travay bwa ak wòch tou. L'a travay ansanm ak bòs atizan mwen gen avè m' nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo, moun David, papa m', te chwazi pou sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:8 ============ 2Ch 2:8 Send me also cedar trees, fir trees, and algum trees, out of Lebanon: for I know that thy servants can skill to cut timber in Lebanon; and, behold, my servants shall be with thy servants,(KJV-1611) 2Ch 2:8 W'a voye ban mwen madriye sèd, bwapen ak bwa koray ki soti nan peyi Liban. Paske mwen konnen moun peyi ou yo konn pare bwa sa yo byen. M'a voye moun pa m' ede pa ou yo(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:9 ============ 2Ch 2:9 Even to prepare me timber in abundance: for the house which I am about to build shall be wonderful great.(KJV-1611) 2Ch 2:9 pou yo ka pare yon bon kantite bwa, paske se pou tanp mwen fè lide bati a gwo anpil, se pou l' yon bèl bagay.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:10 ============ 2Ch 2:10 And, behold, I will give to thy servants, the hewers that cut timber, twenty thousand measures of beaten wheat, and twenty thousand measures of barley, and twenty thousand baths of wine, and twenty thousand baths of oil.(KJV-1611) 2Ch 2:10 Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil galon lwil oliv.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:11 ============ 2Ch 2:11 Then Huram the king of Tyre answered in writing, which he sent to Solomon, Because the LORD hath loved his people, he hath made thee king over them.(KJV-1611) 2Ch 2:11 Lè sa a, wa Iram ekri yon lèt voye reponn Salomon. Li di l' nan lèt la: -Se paske Seyè a renmen pèp Izrayèl la kifè li mete ou wa pou gouvènen yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:12 ============ 2Ch 2:12 Huram said moreover, Blessed be the LORD God of Israel, that made heaven and earth, who hath given to David the king a wise son, endued with prudence and understanding, that might build an house for the LORD, and an house for his kingdom.(KJV-1611) 2Ch 2:12 Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a! Paske li bay wa David yon pitit gason ki gen anpil bon konprann, anpil lespri epi ki veye tou sa l'ap fè, yon pitit ki koulye a fè lide bati yon tanp pou Seyè a ansanm ak yon palè pou tèt pa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:13 ============ 2Ch 2:13 And now I have sent a cunning man, endued with understanding, of Huram my father's,(KJV-1611) 2Ch 2:13 M'ap voye yon moun ki gen bon konesans ak ladrès ba ou. Se bòs Iram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:14 ============ 2Ch 2:14 The son of a woman of the daughters of Dan, and his father was a man of Tyre, skilful to work in gold, and in silver, in brass, in iron, in stone, and in timber, in purple, in blue, and in fine linen, and in crimson; also to grave any manner of graving, and to find out every device which shall be put to him, with thy cunning men, and with the cunning men of my lord David thy father.(KJV-1611) 2Ch 2:14 Manman li se moun branch fanmi Dann. Papa l' se natif natal lavil Tir. Li konn jan pou travay lò, ajan, kwiv, fè, wòch, bwa. Li konn jan pou koupe tou twal fin wouj, ble ak violèt, ak twal lenn tou. Li konn grave tout kalite desen, li ka fè tout kalite travay ou mande l' fè. L'a travay ansanm ak bòs pa ou yo, ak bòs wa David, papa ou, mèt mwen an, te genyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:15 ============ 2Ch 2:15 Now therefore the wheat, and the barley, the oil, and the wine, which my lord hath spoken of, let him send unto his servants:(KJV-1611) 2Ch 2:15 Koulye a, ou mèt voye ban nou ble, lòj, diven ak lwil oliv ou te di w'ap voye yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:16 ============ 2Ch 2:16 And we will cut wood out of Lebanon, as much as thou shalt need: and we will bring it to thee in floats by sea to Joppa; and thou shalt carry it up to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 2:16 Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:17 ============ 2Ch 2:17 And Solomon numbered all the strangers that were in the land of Israel, after the numbering wherewith David his father had numbered them; and they were found an hundred and fifty thousand and three thousand and six hundred.(KJV-1611) 2Ch 2:17 Lè sa a, Salomon fè konte mete sou lis tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi Izrayèl la, menm jan David, papa l', te fè l' la. Li jwenn sansenkanntwamil sisan moun.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 2:18 ============ 2Ch 2:18 And he set threescore and ten thousand of them to be bearers of burdens, and fourscore thousand to be hewers in the mountain, and three thousand and six hundred overseers to set the people a work.(KJV-1611) 2Ch 2:18 Li pran swasanndimil ki rete yo, li mete yo fòmann reskonsab pou fè pèp la travay.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:1 ============ 2Ch 3:1 Then Solomon began to build the house of the LORD at Jerusalem in mount Moriah, where the Lord appeared unto David his father, in the place that David had prepared in the threshingfloor of Ornan the Jebusite.(KJV-1611) 2Ch 3:1 Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:2 ============ 2Ch 3:2 And he began to build in the second day of the second month, in the fourth year of his reign.(KJV-1611) 2Ch 3:2 Lè sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:3 ============ 2Ch 3:3 Now these are the things wherein Solomon was instructed for the building of the house of God. The length by cubits after the first measure was threescore cubits, and the breadth twenty cubits.(KJV-1611) 2Ch 3:3 Salomon te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longè sou trant pye lajè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:4 ============ 2Ch 3:4 And the porch that was in the front of the house, the length of it was according to the breadth of the house, twenty cubits, and the height was an hundred and twenty: and he overlaid it within with pure gold.(KJV-1611) 2Ch 3:4 Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:5 ============ 2Ch 3:5 And the greater house he cieled with fir tree, which he overlaid with fine gold, and set thereon palm trees and chains.(KJV-1611) 2Ch 3:5 Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:6 ============ 2Ch 3:6 And he garnished the house with precious stones for beauty: and the gold was gold of Parvaim.(KJV-1611) 2Ch 3:6 Li dekore l' ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki soti peyi Pavayim.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:7 ============ 2Ch 3:7 He overlaid also the house, the beams, the posts, and the walls thereof, and the doors thereof, with gold; and graved cherubims on the walls.(KJV-1611) 2Ch 3:7 Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:8 ============ 2Ch 3:8 And he made the most holy house, the length whereof was according to the breadth of the house, twenty cubits, and the breadth thereof twenty cubits: and he overlaid it with fine gold, amounting to six hundred talents.(KJV-1611) 2Ch 3:8 Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil kilo lò pou kouvri tout anndan l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:9 ============ 2Ch 3:9 And the weight of the nails was fifty shekels of gold. And he overlaid the upper chambers with gold.(KJV-1611) 2Ch 3:9 Klou yo te sèvi yo te fèt an lò tou. Yo chak te peze senksan gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:10 ============ 2Ch 3:10 And in the most holy house he made two cherubims of image work, and overlaid them with gold.(KJV-1611) 2Ch 3:10 Nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:11 ============ 2Ch 3:11 And the wings of the cherubims were twenty cubits long: one wing of the one cherub was five cubits, reaching to the wall of the house: and the other wing was likewise five cubits, reaching to the wing of the other cherub.(KJV-1611) 2Ch 3:11 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:12 ============ 2Ch 3:12 And one wing of the other cherub was five cubits, reaching to the wall of the house: and the other wing was five cubits also, joining to the wing of the other cherub.(KJV-1611) 2Ch 3:12 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:13 ============ 2Ch 3:13 The wings of these cherubims spread themselves forth twenty cubits: and they stood on their feet, and their faces were inward.(KJV-1611) 2Ch 3:13 Yo te mete zanj yo kanpe yonn bò kote lòt, ak figi yo bay sou pòt antre pyès la. Yo chak te gen de zèl. Chak zèl te gen sèt pye edmi longè. Zèl yo te louvri. Pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longè tout zèl yo ansanm te bay trant pye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:14 ============ 2Ch 3:14 And he made the vail of blue, and purple, and crimson, and fine linen, and wrought cherubims thereon.(KJV-1611) 2Ch 3:14 Li fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Seyè a ak twal ble, twal wouj, twal violèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:15 ============ 2Ch 3:15 Also he made before the house two pillars of thirty and five cubits high, and the chapiter that was on the top of each of them was five cubits.(KJV-1611) 2Ch 3:15 Salomon fè fè de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotè. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tèt poto yo te mezire sèt pye edmi wotè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:16 ============ 2Ch 3:16 And he made chains, as in the oracle, and put them on the heads of the pillars; and made an hundred pomegranates, and put them on the chains.(KJV-1611) 2Ch 3:16 Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 3:17 ============ 2Ch 3:17 And he reared up the pillars before the temple, one on the right hand, and the other on the left; and called the name of that on the right hand Jachin, and the name of that on the left Boaz.(KJV-1611) 2Ch 3:17 Li mete poto yo devan Tanp lan, yo yonn chak bò pòtay la. Yo rele sa ki te bò dwat la Jakin, sa ki te bò gòch la Boaz.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:1 ============ 2Ch 4:1 Moreover he made an altar of brass, twenty cubits the length thereof, and twenty cubits the breadth thereof, and ten cubits the height thereof.(KJV-1611) 2Ch 4:1 Salomon fè fè tou yon lotèl kwiv kare kare, ki te mezire trant pye lajè sou trant pye longè ak kenz pye wotè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:2 ============ 2Ch 4:2 Also he made a molten sea of ten cubits from brim to brim, round in compass, and five cubits the height thereof; and a line of thirty cubits did compass it round about.(KJV-1611) 2Ch 4:2 Li fè fè ankò yon gwo basen an kwiv tou won pou mete dlo. Basen lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Le ou mezire wonn li, li ba ou karannsenk pye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:3 ============ 2Ch 4:3 And under it was the similitude of oxen, which did compass it round about: ten in a cubit, compassing the sea round about. Two rows of oxen were cast, when it was cast.(KJV-1611) 2Ch 4:3 Sou tout wonn basen lan sou deyò, te gen de ranje pòtre ki sanble pòtre bèf. Yo te an kwiv, yon ti jan anba rebò a. Te gen dis pòtre pou chak pye edmi. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan. Yo te koule yo ansanm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:4 ============ 2Ch 4:4 It stood upon twelve oxen, three looking toward the north, and three looking toward the west, and three looking toward the south, and three looking toward the east: and the sea was set above upon them, and all their hinder parts were inward.(KJV-1611) 2Ch 4:4 Basen lan te chita sou do douz towo fèt an kwiv. Fas yo bay sou deyò, fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche ak fas twa bay sou bò sid. Basen lan menm te chita sou dèyè yo ki te bay sou anndan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:5 ============ 2Ch 4:5 And the thickness of it was an handbreadth, and the brim of it like the work of the brim of a cup, with flowers of lilies; and it received and held three thousand baths.(KJV-1611) 2Ch 4:5 Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas. Li te fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè ki louvri. Basen lan te ka kenbe kenzmil galon dlo konsa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:6 ============ 2Ch 4:6 He made also ten lavers, and put five on the right hand, and five on the left, to wash in them: such things as they offered for the burnt offering they washed in them; but the sea was for the priests to wash in.(KJV-1611) 2Ch 4:6 Li fè fè dis lòt basen an kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule nèt sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basen lan pou lave kò yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:7 ============ 2Ch 4:7 And he made ten candlesticks of gold according to their form, and set them in the temple, five on the right hand, and five on the left.(KJV-1611) 2Ch 4:7 Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:8 ============ 2Ch 4:8 He made also ten tables, and placed them in the temple, five on the right side, and five on the left. And he made an hundred basons of gold.(KJV-1611) 2Ch 4:8 Li fè fè dis tab pou mete nan Tanp lan tou, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat. Li fè fè san bòl an lò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:9 ============ 2Ch 4:9 Furthermore he made the court of the priests, and the great court, and doors for the court, and overlaid the doors of them with brass.(KJV-1611) 2Ch 4:9 Li fè yo bati lakou anndan an pou prèt yo ak gwo lakou a ak tout pòtay li yo. Tout pòtay yo te kouvri ak kwiv.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:10 ============ 2Ch 4:10 And he set the sea on the right side of the east end, over against the south.(KJV-1611) 2Ch 4:10 Li fè mete gwo basen lan menm sou bò dwat Tanp lan, nan kwen sidès la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:11 ============ 2Ch 4:11 And Huram made the pots, and the shovels, and the basons. And Huram finished the work that he was to make for king Solomon for the house of God;(KJV-1611) 2Ch 4:11 Iram te fè plato pou sann dife, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:12 ============ 2Ch 4:12 To wit, the two pillars, and the pommels, and the chapiters which were on the top of the two pillars, and the two wreaths to cover the two pommels of the chapiters which were on the top of the pillars;(KJV-1611) 2Ch 4:12 Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk won yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo, ak desen ti chenn mare yonn ak lòt ki te kouvri de blòk tèt poto yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:13 ============ 2Ch 4:13 And four hundred pomegranates on the two wreaths; two rows of pomegranates on each wreath, to cover the two pommels of the chapiters which were upon the pillars.(KJV-1611) 2Ch 4:13 katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ki kouvri blòk won ki sou tèt poto yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:14 ============ 2Ch 4:14 He made also bases, and lavers made he upon the bases;(KJV-1611) 2Ch 4:14 dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:15 ============ 2Ch 4:15 One sea, and twelve oxen under it.(KJV-1611) 2Ch 4:15 yon gwo basen tou won pou mete dlo, douz towo pou soutni basen lan,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:16 ============ 2Ch 4:16 The pots also, and the shovels, and the fleshhooks, and all their instruments, did Huram his father make to king Solomon for the house of the LORD of bright brass.(KJV-1611) 2Ch 4:16 plato pou sann yo, pèl yo ak fouchèt yo. Bòs Iram te fè tout bagay sa yo an kwiv poli pou Tanp Seyè a, dapre lòd li te resevwa nan men wa Salomon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:17 ============ 2Ch 4:17 In the plain of Jordan did the king cast them, in the clay ground between Succoth and Zeredathah.(KJV-1611) 2Ch 4:17 Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:18 ============ 2Ch 4:18 Thus Solomon made all these vessels in great abundance: for the weight of the brass could not be found out.(KJV-1611) 2Ch 4:18 Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konn pèz yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:19 ============ 2Ch 4:19 And Solomon made all the vessels that were for the house of God, the golden altar also, and the tables whereon the shewbread was set;(KJV-1611) 2Ch 4:19 Salomon fè fè tout mèb an lò yo te bezwen pou Tanp lan: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:20 ============ 2Ch 4:20 Moreover the candlesticks with their lamps, that they should burn after the manner before the oracle, of pure gold;(KJV-1611) 2Ch 4:20 gwo lanp sèt branch yo ak tèt lanp fèt ak bon lò yo ki fèt pou limen devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, jan pou yo fè l' la,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:21 ============ 2Ch 4:21 And the flowers, and the lamps, and the tongs, made he of gold, and that perfect gold;(KJV-1611) 2Ch 4:21 flè yo, lanp yo ak pensèt pou gwo lanp sèt branch yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 4:22 ============ 2Ch 4:22 And the snuffers, and the basons, and the spoons, and the censers, of pure gold: and the entry of the house, the inner doors thereof for the most holy place, and the doors of the house of the temple, were of gold.(KJV-1611) 2Ch 4:22 kouto yo, gode yo, bòl yo, recho pou pote chabon tou limen yo. Tout bagay sa yo te fèt ak bon jan lò. Batan pòt ki bay sou deyò Tanp lan ak batan pòt ki bay sou pyès ki apa nèt pou Seyè a te kouvri nèt ak lò tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:1 ============ 2Ch 5:1 Thus all the work that Solomon made for the house of the LORD was finished: and Solomon brought in all the things that David his father had dedicated; and the silver, and the gold, and all the instruments, put he among the treasures of the house of God.(KJV-1611) 2Ch 5:1 Lè wa Salomon te fin fè travay bati tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l', te ofri bay Seyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:2 ============ 2Ch 5:2 Then Solomon assembled the elders of Israel, and all the heads of the tribes, the chief of the fathers of the children of Israel, unto Jerusalem, to bring up the ark of the covenant of the LORD out of the city of David, which is Zion.(KJV-1611) 2Ch 5:2 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:3 ============ 2Ch 5:3 Wherefore all the men of Israel assembled themselves unto the king in the feast which was in the seventh month.(KJV-1611) 2Ch 5:3 Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:4 ============ 2Ch 5:4 And all the elders of Israel came; and the Levites took up the ark.(KJV-1611) 2Ch 5:4 Lè tout chèf pèp Izrayèl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:5 ============ 2Ch 5:5 And they brought up the ark, and the tabernacle of the congregation, and all the holy vessels that were in the tabernacle, these did the priests and the Levites bring up.(KJV-1611) 2Ch 5:5 yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyè a ak tout bagay yo te mete ladan l' apa pou Seyè a. Se prèt yo ak moun Levi yo ki te pote yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:6 ============ 2Ch 5:6 Also king Solomon, and all the congregation of Israel that were assembled unto him before the ark, sacrificed sheep and oxen, which could not be told nor numbered for multitude.(KJV-1611) 2Ch 5:6 Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:7 ============ 2Ch 5:7 And the priests brought in the ark of the covenant of the LORD unto his place, to the oracle of the house, into the most holy place, even under the wings of the cherubims:(KJV-1611) 2Ch 5:7 Lè yo fini, prèt yo pote Bwat Kontra a nan pyès ki apa nèt pou Seyè a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pòtre zanj cheriben yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:8 ============ 2Ch 5:8 For the cherubims spread forth their wings over the place of the ark, and the cherubims covered the ark and the staves thereof above.(KJV-1611) 2Ch 5:8 Zèl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sèvi pou pote l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:9 ============ 2Ch 5:9 And they drew out the staves of the ark, that the ends of the staves were seen from the ark before the oracle; but they were not seen without. And there it is unto this day.(KJV-1611) 2Ch 5:9 Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:10 ============ 2Ch 5:10 There was nothing in the ark save the two tables which Moses put therein at Horeb, when the LORD made a covenant with the children of Israel, when they came out of Egypt.(KJV-1611) 2Ch 5:10 Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wòch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou mòn Orèb la. Se sou mòn sa a Seyè a te pase kontra a ak moun pèp Izrayèl yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:11 ============ 2Ch 5:11 And it came to pass, when the priests were come out of the holy place: (for all the priests that were present were sanctified, and did not then wait by course:(KJV-1611) 2Ch 5:11 Prèt yo soti nan pyès ki apa nèt pou Seyè a. Tout prèt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sèvis.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:12 ============ 2Ch 5:12 Also the Levites which were the singers, all of them of Asaph, of Heman, of Jeduthun, with their sons and their brethren, being arrayed in white linen, having cymbals and psalteries and harps, stood at the east end of the altar, and with them an hundred and twenty priests sounding with trumpets:)(KJV-1611) 2Ch 5:12 Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò solèy leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:13 ============ 2Ch 5:13 It came even to pass, as the trumpeters and singers were as one, to make one sound to be heard in praising and thanking the LORD; and when they lifted up their voice with the trumpets and cymbals and instruments of musick, and praised the LORD, saying, For he is good; for his mercy endureth for ever: that then the house was filled with a cloud, even the house of the LORD;(KJV-1611) 2Ch 5:13 Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 5:14 ============ 2Ch 5:14 So that the priests could not stand to minister by reason of the cloud: for the glory of the LORD had filled the house of God.(KJV-1611) 2Ch 5:14 Poutèt nwaj la, prèt yo pa t' ka rete fè sèvis yo, paske limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan nèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:1 ============ 2Ch 6:1 Then said Solomon, The LORD hath said that he would dwell in the thick darkness.(KJV-1611) 2Ch 6:1 Lè sa a, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:2 ============ 2Ch 6:2 But I have built an house of habitation for thee, and a place for thy dwelling for ever.(KJV-1611) 2Ch 6:2 Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:3 ============ 2Ch 6:3 And the king turned his face, and blessed the whole congregation of Israel: and all the congregation of Israel stood.(KJV-1611) 2Ch 6:3 Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:4 ============ 2Ch 6:4 And he said, Blessed be the LORD God of Israel, who hath with his hands fulfilled that which he spake with his mouth to my father David, saying,(KJV-1611) 2Ch 6:4 li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Avèk fòs kouraj li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m' lan, lè li te di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:5 ============ 2Ch 6:5 Since the day that I brought forth my people out of the land of Egypt I chose no city among all the tribes of Israel to build an house in, that my name might be there; neither chose I any man to be a ruler over my people Israel:(KJV-1611) 2Ch 6:5 Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:6 ============ 2Ch 6:6 But I have chosen Jerusalem, that my name might be there; and have chosen David to be over my people Israel.(KJV-1611) 2Ch 6:6 Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:7 ============ 2Ch 6:7 Now it was in the heart of David my father to build an house for the name of the LORD God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 6:7 David, papa m', te fè lide bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:8 ============ 2Ch 6:8 But the LORD said to David my father, Forasmuch as it was in thine heart to build an house for my name, thou didst well in that it was in thine heart:(KJV-1611) 2Ch 6:8 Men, Seyè a te di l': Ou byen fèt gen lide bati yon kay pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:9 ============ 2Ch 6:9 Notwithstanding thou shalt not build the house; but thy son which shall come forth out of thy loins, he shall build the house for my name.(KJV-1611) 2Ch 6:9 Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati tanp lan pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:10 ============ 2Ch 6:10 The LORD therefore hath performed his word that he hath spoken: for I am risen up in the room of David my father, and am set on the throne of Israel, as the LORD promised, and have built the house for the name of the LORD God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 6:10 Koulye a, Seyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l' la, se mwen menm ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotèy wa Izrayèl la. Mwen bati yon tanp pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:11 ============ 2Ch 6:11 And in it have I put the ark, wherein is the covenant of the LORD, that he made with the children of Israel.(KJV-1611) 2Ch 6:11 Lèfini, mwen fè yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:12 ============ 2Ch 6:12 And he stood before the altar of the LORD in the presence of all the congregation of Israel, and spread forth his hands:(KJV-1611) 2Ch 6:12 Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè pou l' lapriyè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:13 ============ 2Ch 6:13 For Solomon had made a brasen scaffold of five cubits long, and five cubits broad, and three cubits high, and had set it in the midst of the court: and upon it he stood, and kneeled down upon his knees before all the congregation of Israel, and spread forth his hands toward heaven.(KJV-1611) 2Ch 6:13 Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:14 ============ 2Ch 6:14 And said, O LORD God of Israel, there is no God like thee in the heaven, nor in the earth; which keepest covenant, and shewest mercy unto thy servants, that walk before thee with all their hearts:(KJV-1611) 2Ch 6:14 epi li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:15 ============ 2Ch 6:15 Thou which hast kept with thy servant David my father that which thou hast promised him; and spakest with thy mouth, and hast fulfilled it with thine hand, as it is this day.(KJV-1611) 2Ch 6:15 Ou te kenbe pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la. Tou sa ou te di w'ap fè, ou fè l' rive vre jòdi a ak fòs ponyèt ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:16 ============ 2Ch 6:16 Now therefore, O LORD God of Israel, keep with thy servant David my father that which thou hast promised him, saying, There shall not fail thee a man in my sight to sit upon the throne of Israel; yet so that thy children take heed to their way to walk in my law, as thou hast walked before me.(KJV-1611) 2Ch 6:16 Se poutèt sa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lòt pwomès ou te fè David, papa m', sèvitè ou la, lè ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit li yo pou gouvènen pèp Izrayèl la, depi yo veye jan y'ap mache pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:17 ============ 2Ch 6:17 Now then, O LORD God of Israel, let thy word be verified, which thou hast spoken unto thy servant David.(KJV-1611) 2Ch 6:17 Se konsa, Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, sèvitè ou la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:18 ============ 2Ch 6:18 But will God in very deed dwell with men on the earth? behold, heaven and the heaven of heavens cannot contain thee; how much less this house which I have built!(KJV-1611) 2Ch 6:18 Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:19 ============ 2Ch 6:19 Have respect therefore to the prayer of thy servant, and to his supplication, O LORD my God, to hearken unto the cry and the prayer which thy servant prayeth before thee:(KJV-1611) 2Ch 6:19 Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:20 ============ 2Ch 6:20 That thine eyes may be open upon this house day and night, upon the place whereof thou hast said that thou wouldest put thy name there; to hearken unto the prayer which thy servant prayeth toward this place.(KJV-1611) 2Ch 6:20 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou tanp lan, tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:21 ============ 2Ch 6:21 Hearken therefore unto the supplications of thy servant, and of thy people Israel, which they shall make toward this place: hear thou from thy dwelling place, even from heaven; and when thou hearest, forgive.(KJV-1611) 2Ch 6:21 Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:22 ============ 2Ch 6:22 If a man sin against his neighbour, and an oath be laid upon him to make him swear, and the oath come before thine altar in this house;(KJV-1611) 2Ch 6:22 Lè y'a pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:23 ============ 2Ch 6:23 Then hear thou from heaven, and do, and judge thy servants, by requiting the wicked, by recompensing his way upon his own head; and by justifying the righteous, by giving him according to his righteousness.(KJV-1611) 2Ch 6:23 ou menm, Seyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la. W'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:24 ============ 2Ch 6:24 And if thy people Israel be put to the worse before the enemy, because they have sinned against thee; and shall return and confess thy name, and pray and make supplication before thee in this house;(KJV-1611) 2Ch 6:24 Lè lènmi va bat pèp Izrayèl la paske pèp la te peche kont ou, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fè lwanj pou ou, si yo vin lapriyè nan pye ou isit la nan kay sa a,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:25 ============ 2Ch 6:25 Then hear thou from the heavens, and forgive the sin of thy people Israel, and bring them again unto the land which thou gavest to them and to their fathers.(KJV-1611) 2Ch 6:25 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche pèp Izrayèl ou a, fè yo tounen nan peyi ou te ba yo ansanm ak zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:26 ============ 2Ch 6:26 When the heaven is shut up, and there is no rain, because they have sinned against thee; yet if they pray toward this place, and confess thy name, and turn from their sin, when thou dost afflict them;(KJV-1611) 2Ch 6:26 Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli, paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo fè lwanj ou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:27 ============ 2Ch 6:27 Then hear thou from heaven, and forgive the sin of thy servants, and of thy people Israel, when thou hast taught them the good way, wherein they should walk; and send rain upon thy land, which thou hast given unto thy people for an inheritance.(KJV-1611) 2Ch 6:27 tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche sèvitè ou yo ak peche moun pèp Izrayèl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou l' rele l' pa l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:28 ============ 2Ch 6:28 If there be dearth in the land, if there be pestilence, if there be blasting, or mildew, locusts, or caterpillers; if their enemies besiege them in the cities of their land; whatsoever sore or whatsoever sickness there be:(KJV-1611) 2Ch 6:28 Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:29 ============ 2Ch 6:29 Then what prayer or what supplication soever shall be made of any man, or of all thy people Israel, when every one shall know his own sore and his own grief, and shall spread forth his hands in this house:(KJV-1611) 2Ch 6:29 koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon tanp lan pou yo lapriyè ou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:30 ============ 2Ch 6:30 Then hear thou from heaven thy dwelling place, and forgive, and render unto every man according unto all his ways, whose heart thou knowest; (for thou only knowest the hearts of the children of men:)(KJV-1611) 2Ch 6:30 tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:31 ============ 2Ch 6:31 That they may fear thee, to walk in thy ways, so long as they live in the land which thou gavest unto our fathers.(KJV-1611) 2Ch 6:31 Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pèp ou a va gen krentif pou ou, y'a mache nan chemen ou mete devan yo, pandan tout tan y'ap viv sou tè ou te bay zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:32 ============ 2Ch 6:32 Moreover concerning the stranger, which is not of thy people Israel, but is come from a far country for thy great name's sake, and thy mighty hand, and thy stretched out arm; if they come and pray in this house;(KJV-1611) 2Ch 6:32 Menm lè yon moun lòt nasyon ki pa fè pati pèp ou a soti byen lwen vini poutèt ou, paske li tande jan n'ap nonmen non ou, li tande pale tout bèl bagay w'ap fè avèk fòs kouraj ou, si li vin lapriyè nan tanp sa a,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:33 ============ 2Ch 6:33 Then hear thou from the heavens, even from thy dwelling place, and do according to all that the stranger calleth to thee for; that all people of the earth may know thy name, and fear thee, as doth thy people Israel, and may know that this house which I have built is called by thy name.(KJV-1611) 2Ch 6:33 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa, tout pèp sou latè va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:34 ============ 2Ch 6:34 If thy people go out to war against their enemies by the way that thou shalt send them, and they pray unto thee toward this city which thou hast chosen, and the house which I have built for thy name;(KJV-1611) 2Ch 6:34 Lè pèp ou a va soti al goumen kont lènmi l' yo, nenpòt ki bò w'a voye yo, lè y'a vire tèt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:35 ============ 2Ch 6:35 Then hear thou from the heavens their prayer and their supplication, and maintain their cause.(KJV-1611) 2Ch 6:35 tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo. Koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, defann kòz yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:36 ============ 2Ch 6:36 If they sin against thee, (for there is no man which sinneth not,) and thou be angry with them, and deliver them over before their enemies, and they carry them away captives unto a land far off or near;(KJV-1611) 2Ch 6:36 Lè pèp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fè peche, lè w'a move sou yo, lè w'a lage yo nan men lènmi yo ki va fè yo prizonye, ki va depòte yo nan lòt peyi, li te mèt toupre, li te mèt byen lwen,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:37 ============ 2Ch 6:37 Yet if they bethink themselves in the land whither they are carried captive, and turn and pray unto thee in the land of their captivity, saying, We have sinned, we have done amiss, and have dealt wickedly;(KJV-1611) 2Ch 6:37 antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:38 ============ 2Ch 6:38 If they return to thee with all their heart and with all their soul in the land of their captivity, whither they have carried them captives, and pray toward their land, which thou gavest unto their fathers, and toward the city which thou hast chosen, and toward the house which I have built for thy name:(KJV-1611) 2Ch 6:38 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:39 ============ 2Ch 6:39 Then hear thou from the heavens, even from thy dwelling place, their prayer and their supplications, and maintain their cause, and forgive thy people which have sinned against thee.(KJV-1611) 2Ch 6:39 tanpri, koute lapriyè y'ap fè nan pye ou, kote ou ye nan syèl kote ou rete a. Koute lapriyè yo, defann kòz yo. Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:40 ============ 2Ch 6:40 Now, my God, let, I beseech thee, thine eyes be open, and let thine ears be attent unto the prayer that is made in this place.(KJV-1611) 2Ch 6:40 Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:41 ============ 2Ch 6:41 Now therefore arise, O LORD God, into thy resting place, thou, and the ark of thy strength: let thy priests, O LORD God, be clothed with salvation, and let thy saints rejoice in goodness.(KJV-1611) 2Ch 6:41 Koulye a, leve non, Seyè, Bondye! Vin kote pou ou pran repo a! Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè wè jan ou gen pouvwa. Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans! Se pou tout pèp ou a rele tèlman yo kontan!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 6:42 ============ 2Ch 6:42 O LORD God, turn not away the face of thine anointed: remember the mercies of David thy servant.(KJV-1611) 2Ch 6:42 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:1 ============ 2Ch 7:1 Now when Solomon had made an end of praying, the fire came down from heaven, and consumed the burnt offering and the sacrifices; and the glory of the LORD filled the house.(KJV-1611) 2Ch 7:1 Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:2 ============ 2Ch 7:2 And the priests could not enter into the house of the LORD, because the glory of the LORD had filled the LORD's house.(KJV-1611) 2Ch 7:2 Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:3 ============ 2Ch 7:3 And when all the children of Israel saw how the fire came down, and the glory of the LORD upon the house, they bowed themselves with their faces to the ground upon the pavement, and worshipped, and praised the LORD, saying, For he is good; for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) 2Ch 7:3 Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:4 ============ 2Ch 7:4 Then the king and all the people offered sacrifices before the LORD.(KJV-1611) 2Ch 7:4 Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:5 ============ 2Ch 7:5 And king Solomon offered a sacrifice of twenty and two thousand oxen, and an hundred and twenty thousand sheep: so the king and all the people dedicated the house of God.(KJV-1611) 2Ch 7:5 Wa Salomon te ofri venndemil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:6 ============ 2Ch 7:6 And the priests waited on their offices: the Levites also with instruments of musick of the LORD, which David the king had made to praise the LORD, because his mercy endureth for ever, when David praised by their ministry; and the priests sounded trumpets before them, and all Israel stood.(KJV-1611) 2Ch 7:6 Prèt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prèt yo t'ap kònen twonpèt, tout pèp Izrayèl la menm te rete kanpe.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:7 ============ 2Ch 7:7 Moreover Solomon hallowed the middle of the court that was before the house of the LORD: for there he offered burnt offerings, and the fat of the peace offerings, because the brasen altar which Solomon had made was not able to receive the burnt offerings, and the meat offerings, and the fat.(KJV-1611) 2Ch 7:7 Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:8 ============ 2Ch 7:8 Also at the same time Solomon kept the feast seven days, and all Israel with him, a very great congregation, from the entering in of Hamath unto the river of Egypt.(KJV-1611) 2Ch 7:8 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:9 ============ 2Ch 7:9 And in the eighth day they made a solemn assembly: for they kept the dedication of the altar seven days, and the feast seven days.(KJV-1611) 2Ch 7:9 Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:10 ============ 2Ch 7:10 And on the three and twentieth day of the seventh month he sent the people away into their tents, glad and merry in heart for the goodness that the LORD had shewed unto David, and to Solomon, and to Israel his people.(KJV-1611) 2Ch 7:10 Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:11 ============ 2Ch 7:11 Thus Solomon finished the house of the LORD, and the king's house: and all that came into Solomon's heart to make in the house of the LORD, and in his own house, he prosperously effected.(KJV-1611) 2Ch 7:11 Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a ansanm ak palè wa a, lè li fin fè tou sa li te gen lide fè nan yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:12 ============ 2Ch 7:12 And the LORD appeared to Solomon by night, and said unto him, I have heard thy prayer, and have chosen this place to myself for an house of sacrifice.(KJV-1611) 2Ch 7:12 Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:13 ============ 2Ch 7:13 If I shut up heaven that there be no rain, or if I command the locusts to devour the land, or if I send pestilence among my people;(KJV-1611) 2Ch 7:13 Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:14 ============ 2Ch 7:14 If my people, which are called by my name, shall humble themselves, and pray, and seek my face, and turn from their wicked ways; then will I hear from heaven, and will forgive their sin, and will heal their land.(KJV-1611) 2Ch 7:14 lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:15 ============ 2Ch 7:15 Now mine eyes shall be open, and mine ears attent unto the prayer that is made in this place.(KJV-1611) 2Ch 7:15 Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:16 ============ 2Ch 7:16 For now have I chosen and sanctified this house, that my name may be there for ever: and mine eyes and mine heart shall be there perpetually.(KJV-1611) 2Ch 7:16 Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:17 ============ 2Ch 7:17 And as for thee, if thou wilt walk before me, as David thy father walked, and do according to all that I have commanded thee, and shalt observe my statutes and my judgments;(KJV-1611) 2Ch 7:17 Ou menm pou tèt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:18 ============ 2Ch 7:18 Then will I stablish the throne of thy kingdom, according as I have covenanted with David thy father, saying, There shall not fail thee a man to be ruler in Israel.(KJV-1611) 2Ch 7:18 m'a kenbe gouvènman ou lan chita jan mwen te pwomèt David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:19 ============ 2Ch 7:19 But if ye turn away, and forsake my statutes and my commandments, which I have set before you, and shall go and serve other gods, and worship them;(KJV-1611) 2Ch 7:19 Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:20 ============ 2Ch 7:20 Then will I pluck them up by the roots out of my land which I have given them; and this house, which I have sanctified for my name, will I cast out of my sight, and will make it to be a proverb and a byword among all nations.(KJV-1611) 2Ch 7:20 lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:21 ============ 2Ch 7:21 And this house, which is high, shall be an astonishment to every one that passeth by it; so that he shall say, Why hath the LORD done thus unto this land, and unto this house?(KJV-1611) 2Ch 7:21 Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 7:22 ============ 2Ch 7:22 And it shall be answered, Because they forsook the LORD God of their fathers, which brought them forth out of the land of Egypt, and laid hold on other gods, and worshipped them, and served them: therefore hath he brought all this evil upon them.(KJV-1611) 2Ch 7:22 Y'a reponn: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye gwo malè sa a sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:1 ============ 2Ch 8:1 And it came to pass at the end of twenty years, wherein Solomon had built the house of the LORD, and his own house,(KJV-1611) 2Ch 8:1 Wa Salomon te pran ventan pou l' bati kay Seyè a ak kay pa li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:2 ============ 2Ch 8:2 That the cities which Huram had restored to Solomon, Solomon built them, and caused the children of Israel to dwell there.(KJV-1611) 2Ch 8:2 Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:3 ============ 2Ch 8:3 And Solomon went to Hamathzobah, and prevailed against it.(KJV-1611) 2Ch 8:3 Apre sa, li al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:4 ============ 2Ch 8:4 And he built Tadmor in the wilderness, and all the store cities, which he built in Hamath.(KJV-1611) 2Ch 8:4 Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:5 ============ 2Ch 8:5 Also he built Bethhoron the upper, and Bethhoron the nether, fenced cities, with walls, gates, and bars;(KJV-1611) 2Ch 8:5 Salomon rebati Bètowon anwo ak Bètowon anba, li byen pwoteje yo ak miray ranpa, gwo pòtay ak ba pou fèmen yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:6 ============ 2Ch 8:6 And Baalath, and all the store cities that Solomon had, and all the chariot cities, and the cities of the horsemen, and all that Solomon desired to build in Jerusalem, and in Lebanon, and throughout all the land of his dominion.(KJV-1611) 2Ch 8:6 Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:7 ============ 2Ch 8:7 As for all the people that were left of the Hittites, and the Amorites, and the Perizzites, and the Hivites, and the Jebusites, which were not of Israel,(KJV-1611) 2Ch 8:7 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:8 ============ 2Ch 8:8 But of their children, who were left after them in the land, whom the children of Israel consumed not, them did Solomon make to pay tribute until this day.(KJV-1611) 2Ch 8:8 Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:9 ============ 2Ch 8:9 But of the children of Israel did Solomon make no servants for his work; but they were men of war, and chief of his captains, and captains of his chariots and horsemen.(KJV-1611) 2Ch 8:9 Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:10 ============ 2Ch 8:10 And these were the chief of king Solomon's officers, even two hundred and fifty, that bare rule over the people.(KJV-1611) 2Ch 8:10 Te gen desansenkant moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t'ap fèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:11 ============ 2Ch 8:11 And Solomon brought up the daughter of Pharaoh out of the city of David unto the house that he had built for her: for he said, My wife shall not dwell in the house of David king of Israel, because the places are holy, whereunto the ark of the LORD hath come.(KJV-1611) 2Ch 8:11 Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t'ap di nan kè l': Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:12 ============ 2Ch 8:12 Then Solomon offered burnt offerings unto the LORD on the altar of the LORD, which he had built before the porch,(KJV-1611) 2Ch 8:12 Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:13 ============ 2Ch 8:13 Even after a certain rate every day, offering according to the commandment of Moses, on the sabbaths, and on the new moons, and on the solemn feasts, three times in the year, even in the feast of unleavened bread, and in the feast of weeks, and in the feast of tabernacles.(KJV-1611) 2Ch 8:13 Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:14 ============ 2Ch 8:14 And he appointed, according to the order of David his father, the courses of the priests to their service, and the Levites to their charges, to praise and minister before the priests, as the duty of every day required: the porters also by their courses at every gate: for so had David the man of God commanded.(KJV-1611) 2Ch 8:14 Dapre regleman David, papa l', te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:15 ============ 2Ch 8:15 And they departed not from the commandment of the king unto the priests and Levites concerning any matter, or concerning the treasures.(KJV-1611) 2Ch 8:15 Se konsa, yo te swiv tout ti detay ki nan lòd wa David te bay pou prèt yo ak pou moun Levi yo, ata lòd li te bay pou trezò Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:16 ============ 2Ch 8:16 Now all the work of Solomon was prepared unto the day of the foundation of the house of the LORD, and until it was finished. So the house of the LORD was perfected.(KJV-1611) 2Ch 8:16 Se konsa tout travay Salomon te vle fè a te fin fèt, depi jou yo t'ap fouye fondasyon Tanp Seyè a jouk yo fini l'. Tanp Seyè a pa t' manke anyen ankò pou l' fini.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:17 ============ 2Ch 8:17 Then went Solomon to Eziongeber, and to Eloth, at the sea side in the land of Edom.(KJV-1611) 2Ch 8:17 Apre sa, Salomon ale lavil Ezyongebè ak lavil Elat bò Lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou moun Edon yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 8:18 ============ 2Ch 8:18 And Huram sent him by the hands of his servants ships, and servants that had knowledge of the sea; and they went with the servants of Solomon to Ophir, and took thence four hundred and fifty talents of gold, and brought them to king Solomon.(KJV-1611) 2Ch 8:18 Wa Iram te voye batiman ansanm ak moun peyi l' ki te konn lanmè bay Salomon pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. Se chèf ki t'ap sèvi nan gouvènman Iram yo ki te vin renmèt batiman yo. Maren Iram yo vwayaje ansanm ak moun pa Salomon yo rive peyi Ofi, kote yo al chache trèz tòn lò pote bay Salomon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:1 ============ 2Ch 9:1 And when the queen of Sheba heard of the fame of Solomon, she came to prove Solomon with hard questions at Jerusalem, with a very great company, and camels that bare spices, and gold in abundance, and precious stones: and when she was come to Solomon, she communed with him of all that was in her heart.(KJV-1611) 2Ch 9:1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l' ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:2 ============ 2Ch 9:2 And Solomon told her all her questions: and there was nothing hid from Solomon which he told her not.(KJV-1611) 2Ch 9:2 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil pou li reponn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:3 ============ 2Ch 9:3 And when the queen of Sheba had seen the wisdom of Solomon, and the house that he had built,(KJV-1611) 2Ch 9:3 Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:4 ============ 2Ch 9:4 And the meat of his table, and the sitting of his servants, and the attendance of his ministers, and their apparel; his cupbearers also, and their apparel; and his ascent by which he went up into the house of the LORD; there was no more spirit in her.(KJV-1611) 2Ch 9:4 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:5 ============ 2Ch 9:5 And she said to the king, It was a true report which I heard in mine own land of thine acts, and of thy wisdom:(KJV-1611) 2Ch 9:5 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:6 ============ 2Ch 9:6 Howbeit I believed not their words, until I came, and mine eyes had seen it: and, behold, the one half of the greatness of thy wisdom was not told me: for thou exceedest the fame that I heard.(KJV-1611) 2Ch 9:6 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:7 ============ 2Ch 9:7 Happy are thy men, and happy are these thy servants, which stand continually before thee, and hear thy wisdom.(KJV-1611) 2Ch 9:7 Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bèl pawòl k'ap soti nan bouch ou!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:8 ============ 2Ch 9:8 Blessed be the LORD thy God, which delighted in thee to set thee on his throne, to be king for the LORD thy God: because thy God loved Israel, to establish them for ever, therefore made he thee king over them, to do judgment and justice.(KJV-1611) 2Ch 9:8 Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:9 ============ 2Ch 9:9 And she gave the king an hundred and twenty talents of gold, and of spices great abundance, and precious stones: neither was there any such spice as the queen of Sheba gave king Solomon.(KJV-1611) 2Ch 9:9 Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:10 ============ 2Ch 9:10 And the servants also of Huram, and the servants of Solomon, which brought gold from Ophir, brought algum trees and precious stones.(KJV-1611) 2Ch 9:10 Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè soti nan menm peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:11 ============ 2Ch 9:11 And the king made of the algum trees terraces to the house of the LORD, and to the king's palace, and harps and psalteries for singers: and there were none such seen before in the land of Judah.(KJV-1611) 2Ch 9:11 Salomon sèvi ak bwa koray yo pou fè planche nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t' janm wè bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:12 ============ 2Ch 9:12 And king Solomon gave to the queen of Sheba all her desire, whatsoever she asked, beside that which she had brought unto the king. So she turned, and went away to her own land, she and her servants.(KJV-1611) 2Ch 9:12 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:13 ============ 2Ch 9:13 Now the weight of gold that came to Solomon in one year was six hundred and threescore and six talents of gold;(KJV-1611) 2Ch 9:13 Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:14 ============ 2Ch 9:14 Beside that which chapmen and merchants brought. And all the kings of Arabia and governors of the country brought gold and silver to Solomon.(KJV-1611) 2Ch 9:14 san konte lajan li te resevwa nan men moun k'ap fè trafik yo ak moun k'ap fè kòmès yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvènè pèp Izrayèl yo te pote lò ak ajan bay Salomon tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:15 ============ 2Ch 9:15 And king Solomon made two hundred targets of beaten gold: six hundred shekels of beaten gold went to one target.(KJV-1611) 2Ch 9:15 Salomon te fè fè desan gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:16 ============ 2Ch 9:16 And three hundred shields made he of beaten gold: three hundred shekels of gold went to one shield. And the king put them in the house of the forest of Lebanon.(KJV-1611) 2Ch 9:16 Li fè fè twasan ti plak pwotèj, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:17 ============ 2Ch 9:17 Moreover the king made a great throne of ivory, and overlaid it with pure gold.(KJV-1611) 2Ch 9:17 Li fè fè tou yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:18 ============ 2Ch 9:18 And there were six steps to the throne, with a footstool of gold, which were fastened to the throne, and stays on each side of the sitting place, and two lions standing by the stays:(KJV-1611) 2Ch 9:18 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotèy la te gen yon ti ban an lò pou wa a lonje pye l'. Fotèy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bò te gen pòtre yon lyon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:19 ============ 2Ch 9:19 And twelve lions stood there on the one side and on the other upon the six steps. There was not the like made in any kingdom.(KJV-1611) 2Ch 9:19 Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lòt peyi ki te gen yon fotèy pou wa parèy ak sa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:20 ============ 2Ch 9:20 And all the drinking vessels of king Solomon were of gold, and all the vessels of the house of the forest of Lebanon were of pure gold: none were of silver; it was not any thing accounted of in the days of Solomon.(KJV-1611) 2Ch 9:20 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fèt an bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske sou rèy Salomon, ajan pa t' vo anyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:21 ============ 2Ch 9:21 For the king's ships went to Tarshish with the servants of Huram: every three years once came the ships of Tarshish bringing gold, and silver, ivory, and apes, and peacocks.(KJV-1611) 2Ch 9:21 Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:22 ============ 2Ch 9:22 And king Solomon passed all the kings of the earth in riches and wisdom.(KJV-1611) 2Ch 9:22 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:23 ============ 2Ch 9:23 And all the kings of the earth sought the presence of Solomon, to hear his wisdom, that God had put in his heart.(KJV-1611) 2Ch 9:23 Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:24 ============ 2Ch 9:24 And they brought every man his present, vessels of silver, and vessels of gold, and raiment, harness, and spices, horses, and mules, a rate year by year.(KJV-1611) 2Ch 9:24 Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:25 ============ 2Ch 9:25 And Solomon had four thousand stalls for horses and chariots, and twelve thousand horsemen; whom he bestowed in the chariot cities, and with the king at Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 9:25 Salomon te gen katmil chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rès yo li mete yo lavil Jerizalèm bò kote l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:26 ============ 2Ch 9:26 And he reigned over all the kings from the river even unto the land of the Philistines, and to the border of Egypt.(KJV-1611) 2Ch 9:26 Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t'ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyè peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:27 ============ 2Ch 9:27 And the king made silver in Jerusalem as stones, and cedar trees made he as the sycomore trees that are in the low plains in abundance.(KJV-1611) 2Ch 9:27 Pandan tout rèy li, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:28 ============ 2Ch 9:28 And they brought unto Solomon horses out of Egypt, and out of all lands.(KJV-1611) 2Ch 9:28 Se nan peyi Lejip ak nan tout lòt peyi Salomon te fè chache chwal li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:29 ============ 2Ch 9:29 Now the rest of the acts of Solomon, first and last, are they not written in the book of Nathan the prophet, and in the prophecy of Ahijah the Shilonite, and in the visions of Iddo the seer against Jeroboam the son of Nebat?(KJV-1611) 2Ch 9:29 Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:30 ============ 2Ch 9:30 And Solomon reigned in Jerusalem over all Israel forty years.(KJV-1611) 2Ch 9:30 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 9:31 ============ 2Ch 9:31 And Solomon slept with his fathers, and he was buried in the city of David his father: and Rehoboam his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 9:31 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:1 ============ 2Ch 10:1 And Rehoboam went to Shechem: for to Shechem were all Israel come to make him king.(KJV-1611) 2Ch 10:1 Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:2 ============ 2Ch 10:2 And it came to pass, when Jeroboam the son of Nebat, who was in Egypt, whither he fled from the presence of Solomon the king, heard it, that Jeroboam returned out of Egypt.(KJV-1611) 2Ch 10:2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:3 ============ 2Ch 10:3 And they sent and called him. So Jeroboam and all Israel came and spake to Rehoboam, saying,(KJV-1611) 2Ch 10:3 Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, yo al jwenn Woboram, yo di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:4 ============ 2Ch 10:4 Thy father made our yoke grievous: now therefore ease thou somewhat the grievous servitude of thy father, and his heavy yoke that he put upon us, and we will serve thee.(KJV-1611) 2Ch 10:4 -Papa ou te di anpil ak nou. Li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:5 ============ 2Ch 10:5 And he said unto them, Come again unto me after three days. And the people departed.(KJV-1611) 2Ch 10:5 Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:6 ============ 2Ch 10:6 And king Rehoboam took counsel with the old men that had stood before Solomon his father while he yet lived, saying, What counsel give ye me to return answer to this people?(KJV-1611) 2Ch 10:6 Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè li t'ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:7 ============ 2Ch 10:7 And they spake unto him, saying, If thou be kind to this people, and please them, and speak good words to them, they will be thy servants for ever.(KJV-1611) 2Ch 10:7 Yo reponn li: -Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:8 ============ 2Ch 10:8 But he forsook the counsel which the old men gave him, and took counsel with the young men that were brought up with him, that stood before him.(KJV-1611) 2Ch 10:8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:9 ============ 2Ch 10:9 And he said unto them, What advice give ye that we may return answer to this people, which have spoken to me, saying, Ease somewhat the yoke that thy father did put upon us?(KJV-1611) 2Ch 10:9 Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:10 ============ 2Ch 10:10 And the young men that were brought up with him spake unto him, saying, Thus shalt thou answer the people that spake unto thee, saying, Thy father made our yoke heavy, but make thou it somewhat lighter for us; thus shalt thou say unto them, My little finger shall be thicker than my father's loins.(KJV-1611) 2Ch 10:10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:11 ============ 2Ch 10:11 For whereas my father put a heavy yoke upon you, I will put more to your yoke: my father chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.(KJV-1611) 2Ch 10:11 Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m'ap mete sou chay la anko. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:12 ============ 2Ch 10:12 So Jeroboam and all the people came to Rehoboam on the third day, as the king bade, saying, Come again to me on the third day.(KJV-1611) 2Ch 10:12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout moun Izrayèl yo vin jwenn wa Woboram, jan li te di yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:13 ============ 2Ch 10:13 And the king answered them roughly; and king Rehoboam forsook the counsel of the old men,(KJV-1611) 2Ch 10:13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:14 ============ 2Ch 10:14 And answered them after the advice of the young men, saying, My father made your yoke heavy, but I will add thereto: my father chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.(KJV-1611) 2Ch 10:14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:15 ============ 2Ch 10:15 So the king hearkened not unto the people: for the cause was of God, that the LORD might perform his word, which he spake by the hand of Ahijah the Shilonite to Jeroboam the son of Nebat.(KJV-1611) 2Ch 10:15 Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:16 ============ 2Ch 10:16 And when all Israel saw that the king would not hearken unto them, the people answered the king, saying, What portion have we in David? and we have none inheritance in the son of Jesse: every man to your tents, O Israel: and now, David, see to thine own house. So all Israel went to their tents.(KJV-1611) 2Ch 10:16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n' separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:17 ============ 2Ch 10:17 But as for the children of Israel that dwelt in the cities of Judah, Rehoboam reigned over them.(KJV-1611) 2Ch 10:17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:18 ============ 2Ch 10:18 Then king Rehoboam sent Hadoram that was over the tribute; and the children of Israel stoned him with stones, that he died. But king Rehoboam made speed to get him up to his chariot, to flee to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 10:18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo al bò kote moun Izrayèl yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li koutwòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 10:19 ============ 2Ch 10:19 And Israel rebelled against the house of David unto this day.(KJV-1611) 2Ch 10:19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:1 ============ 2Ch 11:1 And when Rehoboam was come to Jerusalem, he gathered of the house of Judah and Benjamin an hundred and fourscore thousand chosen men, which were warriors, to fight against Israel, that he might bring the kingdom again to Rehoboam.(KJV-1611) 2Ch 11:1 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen. Li te fè lide al goumen ak moun peyi Izrayèl yo pou l' mete yo anba lòd li ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:2 ============ 2Ch 11:2 But the word of the LORD came to Shemaiah the man of God, saying,(KJV-1611) 2Ch 11:2 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:3 ============ 2Ch 11:3 Speak unto Rehoboam the son of Solomon, king of Judah, and to all Israel in Judah and Benjamin, saying,(KJV-1611) 2Ch 11:3 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:4 ============ 2Ch 11:4 Thus saith the LORD, Ye shall not go up, nor fight against your brethren: return every man to his house: for this thing is done of me. And they obeyed the words of the LORD, and returned from going against Jeroboam.(KJV-1611) 2Ch 11:4 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n' al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:5 ============ 2Ch 11:5 And Rehoboam dwelt in Jerusalem, and built cities for defence in Judah.(KJV-1611) 2Ch 11:5 Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:6 ============ 2Ch 11:6 He built even Bethlehem, and Etam, and Tekoa,(KJV-1611) 2Ch 11:6 Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:7 ============ 2Ch 11:7 And Bethzur, and Shoco, and Adullam,(KJV-1611) 2Ch 11:7 Betsou, Soko, Adoulam,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:8 ============ 2Ch 11:8 And Gath, and Mareshah, and Ziph,(KJV-1611) 2Ch 11:8 Gat, Marecha, Zif,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:9 ============ 2Ch 11:9 And Adoraim, and Lachish, and Azekah,(KJV-1611) 2Ch 11:9 Adorayim, Lakis, Aseka,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:10 ============ 2Ch 11:10 And Zorah, and Aijalon, and Hebron, which are in Judah and in Benjamin fenced cities.(KJV-1611) 2Ch 11:10 Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa se lavil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:11 ============ 2Ch 11:11 And he fortified the strong holds, and put captains in them, and store of victual, and of oil and wine.(KJV-1611) 2Ch 11:11 Li ranfòse miray ranpa yo, li mete chèf reskonsab yo, li fè bati depo pou mete manje, lwil ak diven.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:12 ============ 2Ch 11:12 And in every several city he put shields and spears, and made them exceeding strong, having Judah and Benjamin on his side.(KJV-1611) 2Ch 11:12 Lèfini, nan chak lavil, li fè bay gwo plak pwotèj ak frenn an kantite. Lavil sa yo te byen pwoteje. Se konsa Woboram te kenbe moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo anba otorite l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:13 ============ 2Ch 11:13 And the priests and the Levites that were in all Israel resorted to him out of all their coasts.(KJV-1611) 2Ch 11:13 Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:14 ============ 2Ch 11:14 For the Levites left their suburbs and their possession, and came to Judah and Jerusalem: for Jeroboam and his sons had cast them off from executing the priest's office unto the LORD:(KJV-1611) 2Ch 11:14 Moun Levi yo te kite bèt yo nan savann ak tout lòt byen yo, yo desann lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, paske Jewoboram, wa peyi Izrayèl la ak tout wa ki te vin apre l' yo, te enpoze moun Levi yo fè sèvis yo tankou prèt Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:15 ============ 2Ch 11:15 And he ordained him priests for the high places, and for the devils, and for the calves which he had made.(KJV-1611) 2Ch 11:15 Jewoboram te chwazi prèt pa l' pou fè sèvis kote yo fè ofrann bèt pou lòt bondye li t'ap sèvi sou fòm estati bouk kabrit ak ti towo bèf li te fè fè pou li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:16 ============ 2Ch 11:16 And after them out of all the tribes of Israel such as set their hearts to seek the LORD God of Israel came to Jerusalem, to sacrifice unto the LORD God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 11:16 Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:17 ============ 2Ch 11:17 So they strengthened the kingdom of Judah, and made Rehoboam the son of Solomon strong, three years: for three years they walked in the way of David and Solomon.(KJV-1611) 2Ch 11:17 Sa te bay gouvènman peyi Jida a anpil fòs. Pandan twazan yo kenbe la ak Woboram, pitit Salomon an, yo viv jan yo te konn viv sou rèy wa David ak wa Salomon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:18 ============ 2Ch 11:18 And Rehoboam took him Mahalath the daughter of Jerimoth the son of David to wife, and Abihail the daughter of Eliab the son of Jesse;(KJV-1611) 2Ch 11:18 Woboram te marye ak Malat, pitit fi Jerimòt ki te pitit David ak Abigayil, pitit fi Eliyab, pitit pitit fi Izayi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:19 ============ 2Ch 11:19 Which bare him children; Jeush, and Shamariah, and Zaham.(KJV-1611) 2Ch 11:19 Yo fè twa pitit gason: Jeouch, Chemarya ak Saram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:20 ============ 2Ch 11:20 And after her he took Maachah the daughter of Absalom; which bare him Abijah, and Attai, and Ziza, and Shelomith.(KJV-1611) 2Ch 11:20 Apre sa, Woboram marye ak Maka, pitit fi Absalon, ki ba li kat pitit gason: Abija, Atayi, Ziza ak Chelomit.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:21 ============ 2Ch 11:21 And Rehoboam loved Maachah the daughter of Absalom above all his wives and his concubines: (for he took eighteen wives, and threescore concubines; and begat twenty and eight sons, and threescore daughters.)(KJV-1611) 2Ch 11:21 Antou Woboram te gen dizwit madan marye ak swasant fanm kay. Li fè venntwit pitit gason ak swasant pitit fi. Nan tout madan marye li yo ak fanm kay li yo, se Maka, pitit fi Absalon an, li te pi renmen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:22 ============ 2Ch 11:22 And Rehoboam made Abijah the son of Maachah the chief, to be ruler among his brethren: for he thought to make him king.(KJV-1611) 2Ch 11:22 Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l' chèf tout frè l' yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 11:23 ============ 2Ch 11:23 And he dealt wisely, and dispersed of all his children throughout all the countries of Judah and Benjamin, unto every fenced city: and he gave them victual in abundance. And he desired many wives.(KJV-1611) 2Ch 11:23 Li te fè lide bay chak pitit gason l' yo yon reskonsablite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo pwovizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:1 ============ 2Ch 12:1 And it came to pass, when Rehoboam had established the kingdom, and had strengthened himself, he forsook the law of the LORD, and all Israel with him.(KJV-1611) 2Ch 12:1 Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:2 ============ 2Ch 12:2 And it came to pass, that in the fifth year of king Rehoboam Shishak king of Egypt came up against Jerusalem, because they had transgressed against the LORD,(KJV-1611) 2Ch 12:2 Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:3 ============ 2Ch 12:3 With twelve hundred chariots, and threescore thousand horsemen: and the people were without number that came with him out of Egypt; the Lubims, the Sukkiims, and the Ethiopians.(KJV-1611) 2Ch 12:3 avèk mildesan kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:4 ============ 2Ch 12:4 And he took the fenced cities which pertained to Judah, and came to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 12:4 Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:5 ============ 2Ch 12:5 Then came Shemaiah the prophet to Rehoboam, and to the princes of Judah, that were gathered together to Jerusalem because of Shishak, and said unto them, Thus saith the LORD, Ye have forsaken me, and therefore have I also left you in the hand of Shishak.(KJV-1611) 2Ch 12:5 Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m' lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:6 ============ 2Ch 12:6 Whereupon the princes of Israel and the king humbled themselves; and they said, The LORD is righteous.(KJV-1611) 2Ch 12:6 Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: -Seyè a gen rezon l' nan pla men l'!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:7 ============ 2Ch 12:7 And when the LORD saw that they humbled themselves, the word of the LORD came to Shemaiah, saying, They have humbled themselves; therefore I will not destroy them, but I will grant them some deliverance; and my wrath shall not be poured out upon Jerusalem by the hand of Shishak.(KJV-1611) 2Ch 12:7 Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l' konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t' dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m' fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m' fache sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:8 ============ 2Ch 12:8 Nevertheless they shall be his servants; that they may know my service, and the service of the kingdoms of the countries.(KJV-1611) 2Ch 12:8 Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l'. Lè sa a, y'a wè sèvi m' ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:9 ============ 2Ch 12:9 So Shishak king of Egypt came up against Jerusalem, and took away the treasures of the house of the LORD, and the treasures of the king's house; he took all: he carried away also the shields of gold which Solomon had made.(KJV-1611) 2Ch 12:9 Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:10 ============ 2Ch 12:10 Instead of which king Rehoboam made shields of brass, and committed them to the hands of the chief of the guard, that kept the entrance of the king's house.(KJV-1611) 2Ch 12:10 Wa Woboram fè fè lòt gwo plak pwotèj an kwiv fwa sa a pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay palè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:11 ============ 2Ch 12:11 And when the king entered into the house of the LORD, the guard came and fetched them, and brought them again into the guard chamber.(KJV-1611) 2Ch 12:11 Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè li ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:12 ============ 2Ch 12:12 And when he humbled himself, the wrath of the LORD turned from him, that he would not destroy him altogether: and also in Judah things went well.(KJV-1611) 2Ch 12:12 Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:13 ============ 2Ch 12:13 So king Rehoboam strengthened himself in Jerusalem, and reigned: for Rehoboam was one and forty years old when he began to reign, and he reigned seventeen years in Jerusalem, the city which the LORD had chosen out of all the tribes of Israel, to put his name there. And his mother's name was Naamah an Ammonitess.(KJV-1611) 2Ch 12:13 Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:14 ============ 2Ch 12:14 And he did evil, because he prepared not his heart to seek the LORD.(KJV-1611) 2Ch 12:14 Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:15 ============ 2Ch 12:15 Now the acts of Rehoboam, first and last, are they not written in the book of Shemaiah the prophet, and of Iddo the seer concerning genealogies? And there were wars between Rehoboam and Jeroboam continually.(KJV-1611) 2Ch 12:15 Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 12:16 ============ 2Ch 12:16 And Rehoboam slept with his fathers, and was buried in the city of David: and Abijah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 12:16 Lè Woboram mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:1 ============ 2Ch 13:1 Now in the eighteenth year of king Jeroboam began Abijah to reign over Judah.(KJV-1611) 2Ch 13:1 Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abija moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:2 ============ 2Ch 13:2 He reigned three years in Jerusalem. His mother's name also was Michaiah the daughter of Uriel of Gibeah. And there was war between Abijah and Jeroboam.(KJV-1611) 2Ch 13:2 Li gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:3 ============ 2Ch 13:3 And Abijah set the battle in array with an army of valiant men of war, even four hundred thousand chosen men: Jeroboam also set the battle in array against him with eight hundred thousand chosen men, being mighty men of valour.(KJV-1611) 2Ch 13:3 Abija leve yon lame katsanmil vanyan sòlda ki konn goumen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:4 ============ 2Ch 13:4 And Abijah stood up upon mount Zemaraim, which is in mount Ephraim, and said, Hear me, thou Jeroboam, and all Israel;(KJV-1611) 2Ch 13:4 De lame yo kontre nan mòn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mòn Zemarayim, li pale byen fò, li di: -Koute m' non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:5 ============ 2Ch 13:5 Ought ye not to know that the LORD God of Israel gave the kingdom over Israel to David for ever, even to him and to his sons by a covenant of salt?(KJV-1611) 2Ch 13:5 Eske se konnen nou pa konnen Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:6 ============ 2Ch 13:6 Yet Jeroboam the son of Nebat, the servant of Solomon the son of David, is risen up, and hath rebelled against his lord.(KJV-1611) 2Ch 13:6 Men, Jewoboram, pitit gason Nebat la, li menm ki t'ap sèvi ak Salomon, pitit David la, revòlte kont mèt li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:7 ============ 2Ch 13:7 And there are gathered unto him vain men, the children of Belial, and have strengthened themselves against Rehoboam the son of Solomon, when Rehoboam was young and tenderhearted, and could not withstand them.(KJV-1611) 2Ch 13:7 Apre sa, yon bann vòryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l' fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pa t' ka kenbe tèt ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:8 ============ 2Ch 13:8 And now ye think to withstand the kingdom of the LORD in the hand of the sons of David; and ye be a great multitude, and there are with your golden calves, which Jeroboam made you for gods.(KJV-1611) 2Ch 13:8 Koulye a, nou fè lide vin kraze otorite Seyè a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf an lò Jewoboram te fè pou sèvi nou bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:9 ============ 2Ch 13:9 Have ye not cast out the priests of the LORD, the sons of Aaron, and the Levites, and have made you priests after the manner of the nations of other lands? so that whosoever cometh to consecrate himself with a young bullock and seven rams, the same may be a priest of them that are no gods.(KJV-1611) 2Ch 13:9 Nou mete prèt Seyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l' prèt bondye nou yo ki pa bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:10 ============ 2Ch 13:10 But as for us, the LORD is our God, and we have not forsaken him; and the priests, which minister unto the LORD, are the sons of Aaron, and the Levites wait upon their business:(KJV-1611) 2Ch 13:10 Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:11 ============ 2Ch 13:11 And they burn unto the LORD every morning and every evening burnt sacrifices and sweet incense: the shewbread also set they in order upon the pure table; and the candlestick of gold with the lamps thereof, to burn every evening: for we keep the charge of the LORD our God; but ye have forsaken him.(KJV-1611) 2Ch 13:11 Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:12 ============ 2Ch 13:12 And, behold, God himself is with us for our captain, and his priests with sounding trumpets to cry alarm against you. O children of Israel, fight ye not against the LORD God of your fathers; for ye shall not prosper.(KJV-1611) 2Ch 13:12 Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:13 ============ 2Ch 13:13 But Jeroboam caused an ambushment to come about behind them: so they were before Judah, and the ambushment was behind them.(KJV-1611) 2Ch 13:13 Jewoboram fè sòlda ki te dèyè yo fè yon detou al pase dèyè lame moun peyi Jida yo. Konsa, pifò sòlda li yo te kanpe sou devan lame moun Jida yo, ak yon bon valè sòlda li yo sou dèyè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:14 ============ 2Ch 13:14 And when Judah looked back, behold, the battle was before and behind: and they cried unto the LORD, and the priests sounded with the trumpets.(KJV-1611) 2Ch 13:14 Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:15 ============ 2Ch 13:15 Then the men of Judah gave a shout: and as the men of Judah shouted, it came to pass, that God smote Jeroboam and all Israel before Abijah and Judah.(KJV-1611) 2Ch 13:15 Moun Jida yo bay yon sèl rèl byen fò, epi yo atake. Bondye fè Jewoboram ak tout lame moun Izrayèl yo pèdi devan Abija ak moun Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:16 ============ 2Ch 13:16 And the children of Israel fled before Judah: and God delivered them into their hand.(KJV-1611) 2Ch 13:16 Moun Izrayèl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:17 ============ 2Ch 13:17 And Abijah and his people slew them with a great slaughter: so there fell down slain of Israel five hundred thousand chosen men.(KJV-1611) 2Ch 13:17 Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:18 ============ 2Ch 13:18 Thus the children of Israel were brought under at that time, and the children of Judah prevailed, because they relied upon the LORD God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 13:18 Se konsa moun peyi Izrayèl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fò, paske se sou Seyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:19 ============ 2Ch 13:19 And Abijah pursued after Jeroboam, and took cities from him, Bethel with the towns thereof, and Jeshanah with the towns thereof, and Ephraim with the towns thereof.(KJV-1611) 2Ch 13:19 Abija kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:20 ============ 2Ch 13:20 Neither did Jeroboam recover strength again in the days of Abijah: and the LORD struck him, and he died.(KJV-1611) 2Ch 13:20 Jewoboram pa janm pran pye ankò pandan tout rèy Abija. Bout pou bout, Seyè a frape l', li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:21 ============ 2Ch 13:21 But Abijah waxed mighty, and married fourteen wives, and begat twenty and two sons, and sixteen daughters.(KJV-1611) 2Ch 13:21 Abija menm te vin pi fò toujou, li te gen katòz fanm ki te fè vennde pitit gason ak sèz pitit fi pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 13:22 ============ 2Ch 13:22 And the rest of the acts of Abijah, and his ways, and his sayings, are written in the story of the prophet Iddo.(KJV-1611) 2Ch 13:22 Tout rès istwa Abija a, tou sa li te fè ak tou sa li te di, nou jwenn yo nan liv istwa pwofèt Ido te ekri a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:1 ============ 2Ch 14:1 So Abijah slept with his fathers, and they buried him in the city of David: and Asa his son reigned in his stead. In his days the land was quiet ten years.(KJV-1611) 2Ch 14:1 Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:2 ============ 2Ch 14:2 And Asa did that which was good and right in the eyes of the LORD his God:(KJV-1611) 2Ch 14:2 Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:3 ============ 2Ch 14:3 For he took away the altars of the strange gods, and the high places, and brake down the images, and cut down the groves:(KJV-1611) 2Ch 14:3 Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:4 ============ 2Ch 14:4 And commanded Judah to seek the LORD God of their fathers, and to do the law and the commandment.(KJV-1611) 2Ch 14:4 Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:5 ============ 2Ch 14:5 Also he took away out of all the cities of Judah the high places and the images: and the kingdom was quiet before him.(KJV-1611) 2Ch 14:5 Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:6 ============ 2Ch 14:6 And he built fenced cities in Judah: for the land had rest, and he had no war in those years; because the LORD had given him rest.(KJV-1611) 2Ch 14:6 Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:7 ============ 2Ch 14:7 Therefore he said unto Judah, Let us build these cities, and make about them walls, and towers, gates, and bars, while the land is yet before us; because we have sought the LORD our God, we have sought him, and he hath given us rest on every side. So they built and prospered.(KJV-1611) 2Ch 14:7 Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:8 ============ 2Ch 14:8 And Asa had an army of men that bare targets and spears, out of Judah three hundred thousand; and out of Benjamin, that bare shields and drew bows, two hundred and fourscore thousand: all these were mighty men of valour.(KJV-1611) 2Ch 14:8 Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:9 ============ 2Ch 14:9 And there came out against them Zerah the Ethiopian with an host of a thousand thousand, and three hundred chariots; and came unto Mareshah.(KJV-1611) 2Ch 14:9 Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:10 ============ 2Ch 14:10 Then Asa went out against him, and they set the battle in array in the valley of Zephathah at Mareshah.(KJV-1611) 2Ch 14:10 Asa soti ak lame pa l' la al kontre avè l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:11 ============ 2Ch 14:11 And Asa cried unto the LORD his God, and said, LORD, it is nothing with thee to help, whether with many, or with them that have no power: help us, O LORD our God; for we rest on thee, and in thy name we go against this multitude. O LORD, thou art our God; let no man prevail against thee.(KJV-1611) 2Ch 14:11 Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:12 ============ 2Ch 14:12 So the LORD smote the Ethiopians before Asa, and before Judah; and the Ethiopians fled.(KJV-1611) 2Ch 14:12 Se konsa, Seyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:13 ============ 2Ch 14:13 And Asa and the people that were with him pursued them unto Gerar: and the Ethiopians were overthrown, that they could not recover themselves; for they were destroyed before the LORD, and before his host; and they carried away very much spoil.(KJV-1611) 2Ch 14:13 Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:14 ============ 2Ch 14:14 And they smote all the cities round about Gerar; for the fear of the LORD came upon them: and they spoiled all the cities; for there was exceeding much spoil in them.(KJV-1611) 2Ch 14:14 Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Seyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 14:15 ============ 2Ch 14:15 They smote also the tents of cattle, and carried away sheep and camels in abundance, and returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 14:15 Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:1 ============ 2Ch 15:1 And the Spirit of God came upon Azariah the son of Oded:(KJV-1611) 2Ch 15:1 Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:2 ============ 2Ch 15:2 And he went out to meet Asa, and said unto him, Hear ye me, Asa, and all Judah and Benjamin; The LORD is with you, while ye be with him; and if ye seek him, he will be found of you; but if ye forsake him, he will forsake you.(KJV-1611) 2Ch 15:2 Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:3 ============ 2Ch 15:3 Now for a long season Israel hath been without the true God, and without a teaching priest, and without law.(KJV-1611) 2Ch 15:3 Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:4 ============ 2Ch 15:4 But when they in their trouble did turn unto the LORD God of Israel, and sought him, he was found of them.(KJV-1611) 2Ch 15:4 Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:5 ============ 2Ch 15:5 And in those times there was no peace to him that went out, nor to him that came in, but great vexations were upon all the inhabitants of the countries.(KJV-1611) 2Ch 15:5 Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:6 ============ 2Ch 15:6 And nation was destroyed of nation, and city of city: for God did vex them with all adversity.(KJV-1611) 2Ch 15:6 Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:7 ============ 2Ch 15:7 Be ye strong therefore, and let not your hands be weak: for your work shall be rewarded.(KJV-1611) 2Ch 15:7 Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:8 ============ 2Ch 15:8 And when Asa heard these words, and the prophecy of Oded the prophet, he took courage, and put away the abominable idols out of all the land of Judah and Benjamin, and out of the cities which he had taken from mount Ephraim, and renewed the altar of the LORD, that was before the porch of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 15:8 Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:9 ============ 2Ch 15:9 And he gathered all Judah and Benjamin, and the strangers with them out of Ephraim and Manasseh, and out of Simeon: for they fell to him out of Israel in abundance, when they saw that the LORD his God was with him.(KJV-1611) 2Ch 15:9 Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:10 ============ 2Ch 15:10 So they gathered themselves together at Jerusalem in the third month, in the fifteenth year of the reign of Asa.(KJV-1611) 2Ch 15:10 Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:11 ============ 2Ch 15:11 And they offered unto the LORD the same time, of the spoil which they had brought, seven hundred oxen and seven thousand sheep.(KJV-1611) 2Ch 15:11 Jou sa a, yo pran sètsan mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:12 ============ 2Ch 15:12 And they entered into a covenant to seek the LORD God of their fathers with all their heart and with all their soul;(KJV-1611) 2Ch 15:12 Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:13 ============ 2Ch 15:13 That whosoever would not seek the LORD God of Israel should be put to death, whether small or great, whether man or woman.(KJV-1611) 2Ch 15:13 Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:14 ============ 2Ch 15:14 And they sware unto the LORD with a loud voice, and with shouting, and with trumpets, and with cornets.(KJV-1611) 2Ch 15:14 Yo fè sèman bay Seyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:15 ============ 2Ch 15:15 And all Judah rejoiced at the oath: for they had sworn with all their heart, and sought him with their whole desire; and he was found of them: and the LORD gave them rest round about.(KJV-1611) 2Ch 15:15 Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:16 ============ 2Ch 15:16 And also concerning Maachah the mother of Asa the king, he removed her from being queen, because she had made an idol in a grove: and Asa cut down her idol, and stamped it, and burnt it at the brook Kidron.(KJV-1611) 2Ch 15:16 Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:17 ============ 2Ch 15:17 But the high places were not taken away out of Israel: nevertheless the heart of Asa was perfect all his days.(KJV-1611) 2Ch 15:17 Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:18 ============ 2Ch 15:18 And he brought into the house of God the things that his father had dedicated, and that he himself had dedicated, silver, and gold, and vessels.(KJV-1611) 2Ch 15:18 Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 15:19 ============ 2Ch 15:19 And there was no more war unto the five and thirtieth year of the reign of Asa.(KJV-1611) 2Ch 15:19 Pat gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:1 ============ 2Ch 16:1 In the six and thirtieth year of the reign of Asa Baasha king of Israel came up against Judah, and built Ramah, to the intent that he might let none go out or come in to Asa king of Judah.(KJV-1611) 2Ch 16:1 Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:2 ============ 2Ch 16:2 Then Asa brought out silver and gold out of the treasures of the house of the LORD and of the king's house, and sent to Benhadad king of Syria, that dwelt at Damascus, saying,(KJV-1611) 2Ch 16:2 Lè wa Asa wè sa, li pran bagay an lò ak bagay an ajan ki te nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo bò kote Bennadad, wa peyi Siri, ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:3 ============ 2Ch 16:3 There is a league between me and thee, as there was between my father and thy father: behold, I have sent thee silver and gold; go, break thy league with Baasha king of Israel, that he may depart from me.(KJV-1611) 2Ch 16:3 -Annou pase kontra yonn ak lòt, tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou te pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:4 ============ 2Ch 16:4 And Benhadad hearkened unto king Asa, and sent the captains of his armies against the cities of Israel; and they smote Ijon, and Dan, and Abelmaim, and all the store cities of Naphtali.(KJV-1611) 2Ch 16:4 Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:5 ============ 2Ch 16:5 And it came to pass, when Baasha heard it, that he left off building of Ramah, and let his work cease.(KJV-1611) 2Ch 16:5 Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda li te kite nan lavil Rama yo, li sispann travay li t'ap fè pou ranfòse miray lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:6 ============ 2Ch 16:6 Then Asa the king took all Judah; and they carried away the stones of Ramah, and the timber thereof, wherewith Baasha was building; and he built therewith Geba and Mizpah.(KJV-1611) 2Ch 16:6 Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama a. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray lavil Mispa ak miray lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:7 ============ 2Ch 16:7 And at that time Hanani the seer came to Asa king of Judah, and said unto him, Because thou hast relied on the king of Syria, and not relied on the LORD thy God, therefore is the host of the king of Syria escaped out of thine hand.(KJV-1611) 2Ch 16:7 Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:8 ============ 2Ch 16:8 Were not the Ethiopians and the Lubims a huge host, with very many chariots and horsemen? yet, because thou didst rely on the LORD, he delivered them into thine hand.(KJV-1611) 2Ch 16:8 Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:9 ============ 2Ch 16:9 For the eyes of the LORD run to and fro throughout the whole earth, to shew himself strong in the behalf of them whose heart is perfect toward him. Herein thou hast done foolishly: therefore from henceforth thou shalt have wars.(KJV-1611) 2Ch 16:9 Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:10 ============ 2Ch 16:10 Then Asa was wroth with the seer, and put him in a prison house; for he was in a rage with him because of this thing. And Asa oppressed some of the people the same time.(KJV-1611) 2Ch 16:10 Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:11 ============ 2Ch 16:11 And, behold, the acts of Asa, first and last, lo, they are written in the book of the kings of Judah and Israel.(KJV-1611) 2Ch 16:11 Tou sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:12 ============ 2Ch 16:12 And Asa in the thirty and ninth year of his reign was diseased in his feet, until his disease was exceeding great: yet in his disease he sought not to the LORD, but to the physicians.(KJV-1611) 2Ch 16:12 Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:13 ============ 2Ch 16:13 And Asa slept with his fathers, and died in the one and fortieth year of his reign.(KJV-1611) 2Ch 16:13 Lè li mouri, li t'ap mache sou karanteyennan depi li te wa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 16:14 ============ 2Ch 16:14 And they buried him in his own sepulchres, which he had made for himself in the city of David, and laid him in the bed which was filled with sweet odours and divers kinds of spices prepared by the apothecaries' art: and they made a very great burning for him.(KJV-1611) 2Ch 16:14 Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:1 ============ 2Ch 17:1 And Jehoshaphat his son reigned in his stead, and strengthened himself against Israel.(KJV-1611) 2Ch 17:1 Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfòse pozisyon l' devan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:2 ============ 2Ch 17:2 And he placed forces in all the fenced cities of Judah, and set garrisons in the land of Judah, and in the cities of Ephraim, which Asa his father had taken.(KJV-1611) 2Ch 17:2 Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:3 ============ 2Ch 17:3 And the LORD was with Jehoshaphat, because he walked in the first ways of his father David, and sought not unto Baalim;(KJV-1611) 2Ch 17:3 Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:4 ============ 2Ch 17:4 But sought to the Lord God of his father, and walked in his commandments, and not after the doings of Israel.(KJV-1611) 2Ch 17:4 Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:5 ============ 2Ch 17:5 Therefore the LORD stablished the kingdom in his hand; and all Judah brought to Jehoshaphat presents; and he had riches and honour in abundance.(KJV-1611) 2Ch 17:5 Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:6 ============ 2Ch 17:6 And his heart was lifted up in the ways of the LORD: moreover he took away the high places and groves out of Judah.(KJV-1611) 2Ch 17:6 Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:7 ============ 2Ch 17:7 Also in the third year of his reign he sent to his princes, even to Benhail, and to Obadiah, and to Zechariah, and to Nethaneel, and to Michaiah, to teach in the cities of Judah.(KJV-1611) 2Ch 17:7 Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:8 ============ 2Ch 17:8 And with them he sent Levites, even Shemaiah, and Nethaniah, and Zebadiah, and Asahel, and Shemiramoth, and Jehonathan, and Adonijah, and Tobijah, and Tobadonijah, Levites; and with them Elishama and Jehoram, priests.(KJV-1611) 2Ch 17:8 Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:9 ============ 2Ch 17:9 And they taught in Judah, and had the book of the law of the LORD with them, and went about throughout all the cities of Judah, and taught the people.(KJV-1611) 2Ch 17:9 Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:10 ============ 2Ch 17:10 And the fear of the LORD fell upon all the kingdoms of the lands that were round about Judah, so that they made no war against Jehoshaphat.(KJV-1611) 2Ch 17:10 Tout gouvènman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitèlman pè Seyè a, yo yonn pa chache fè lagè ak wa Jozafa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:11 ============ 2Ch 17:11 Also some of the Philistines brought Jehoshaphat presents, and tribute silver; and the Arabians brought him flocks, seven thousand and seven hundred rams, and seven thousand and seven hundred he goats.(KJV-1611) 2Ch 17:11 Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan kabrit fè l' kado.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:12 ============ 2Ch 17:12 And Jehoshaphat waxed great exceedingly; and he built in Judah castles, and cities of store.(KJV-1611) 2Ch 17:12 Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:13 ============ 2Ch 17:13 And he had much business in the cities of Judah: and the men of war, mighty men of valour, were in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 17:13 Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:14 ============ 2Ch 17:14 And these are the numbers of them according to the house of their fathers: Of Judah, the captains of thousands; Adnah the chief, and with him mighty men of valour three hundred thousand.(KJV-1611) 2Ch 17:14 Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil sòlda sou zòd li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:15 ============ 2Ch 17:15 And next to him was Jehohanan the captain, and with him two hundred and fourscore thousand.(KJV-1611) 2Ch 17:15 Li te gen avè l' Jokanan avèk desankatrevenmil sòlda sou zòd li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:16 ============ 2Ch 17:16 And next him was Amasiah the son of Zichri, who willingly offered himself unto the LORD; and with him two hundred thousand mighty men of valour.(KJV-1611) 2Ch 17:16 Avè l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil sòlda. Amasya sa a te pote tèt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:17 ============ 2Ch 17:17 And of Benjamin; Eliada a mighty man of valour, and with him armed men with bow and shield two hundred thousand.(KJV-1611) 2Ch 17:17 Alatèt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sòlda, ak desanmil sòlda ki te gen plak pwotèj ak banza.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:18 ============ 2Ch 17:18 And next him was Jehozabad, and with him an hundred and fourscore thousand ready prepared for the war.(KJV-1611) 2Ch 17:18 Avè l' te gen Jeozabad avèk sankatrevenmil sòlda byen ame pou lagè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 17:19 ============ 2Ch 17:19 These waited on the king, beside those whom the king put in the fenced cities throughout all Judah.(KJV-1611) 2Ch 17:19 Se moun sa yo ki t'ap sèvi wa a lavil Jerizalèm, san konte lòt sòlda wa a te mete an ganizon nan lòt lavil ak ranpa nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:1 ============ 2Ch 18:1 Now Jehoshaphat had riches and honour in abundance, and joined affinity with Ahab.(KJV-1611) 2Ch 18:1 Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:2 ============ 2Ch 18:2 And after certain years he went down to Ahab to Samaria. And Ahab killed sheep and oxen for him in abundance, and for the people that he had with him, and persuaded him to go up with him to Ramothgilead.(KJV-1611) 2Ch 18:2 Kèk lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa a, Akab fè yon gwo fèt pou Jozafa ansanm ak moun ki te avè l' yo. Li te fè touye yon pakèt mouton ak bèf pou fèt la. Lèfini, li chache pran tèt Jozafa pou yo al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:3 ============ 2Ch 18:3 And Ahab king of Israel said unto Jehoshaphat king of Judah, Wilt thou go with me to Ramothgilead? And he answered him, I am as thou art, and my people as thy people; and we will be with thee in the war.(KJV-1611) 2Ch 18:3 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:4 ============ 2Ch 18:4 And Jehoshaphat said unto the king of Israel, Enquire, I pray thee, at the word of the LORD to day.(KJV-1611) 2Ch 18:4 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Tanpri, annou mande Seyè a sa li di nan sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:5 ============ 2Ch 18:5 Therefore the king of Israel gathered together of prophets four hundred men, and said unto them, Shall we go to Ramothgilead to battle, or shall I forbear? And they said, Go up; for God will deliver it into the king's hand.(KJV-1611) 2Ch 18:5 Se konsa, Akab reyini katsan pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Pwofèt yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:6 ============ 2Ch 18:6 But Jehoshaphat said, Is there not here a prophet of the LORD besides, that we might enquire of him?(KJV-1611) 2Ch 18:6 Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:7 ============ 2Ch 18:7 And the king of Israel said unto Jehoshaphat, There is yet one man, by whom we may enquire of the LORD: but I hate him; for he never prophesied good unto me, but always evil: the same is Micaiah the son of Imla. And Jehoshaphat said, Let not the king say so.(KJV-1611) 2Ch 18:7 Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:8 ============ 2Ch 18:8 And the king of Israel called for one of his officers, and said, Fetch quickly Micaiah the son of Imla.(KJV-1611) 2Ch 18:8 Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di l': -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:9 ============ 2Ch 18:9 And the king of Israel and Jehoshaphat king of Judah sat either of them on his throne, clothed in their robes, and they sat in a void place at the entering in of the gate of Samaria; and all the prophets prophesied before them.(KJV-1611) 2Ch 18:9 Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:10 ============ 2Ch 18:10 And Zedekiah the son of Chenaanah had made him horns of iron, and said, Thus saith the LORD, With these thou shalt push Syria until they be consumed.(KJV-1611) 2Ch 18:10 Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo ou pral atake moun Siri yo. Ou pral fini ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:11 ============ 2Ch 18:11 And all the prophets prophesied so, saying, Go up to Ramothgilead, and prosper: for the LORD shall deliver it into the hand of the king.(KJV-1611) 2Ch 18:11 Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:12 ============ 2Ch 18:12 And the messenger that went to call Micaiah spake to him, saying, Behold, the words of the prophets declare good to the king with one assent; let thy word therefore, I pray thee, be like one of their's, and speak thou good.(KJV-1611) 2Ch 18:12 Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale an favè wa a. Ranje kò ou pou ou pale tankou yo tout. Pale an favè wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:13 ============ 2Ch 18:13 And Micaiah said, As the LORD liveth, even what my God saith, that will I speak.(KJV-1611) 2Ch 18:13 Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:14 ============ 2Ch 18:14 And when he was come to the king, the king said unto him, Micaiah, shall we go to Ramothgilead to battle, or shall I forbear? And he said, Go ye up, and prosper, and they shall be delivered into your hand.(KJV-1611) 2Ch 18:14 Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske se pou n' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:15 ============ 2Ch 18:15 And the king said to him, How many times shall I adjure thee that thou say nothing but the truth to me in the name of the LORD?(KJV-1611) 2Ch 18:15 Men, Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a, se pou ou di m' laverite?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:16 ============ 2Ch 18:16 Then he said, I did see all Israel scattered upon the mountains, as sheep that have no shepherd: and the LORD said, These have no master; let them return therefore every man to his house in peace.(KJV-1611) 2Ch 18:16 Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a te di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:17 ============ 2Ch 18:17 And the king of Israel said to Jehoshaphat, Did I not tell thee that he would not prophesy good unto me, but evil?(KJV-1611) 2Ch 18:17 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:18 ============ 2Ch 18:18 Again he said, Therefore hear the word of the LORD; I saw the LORD sitting upon his throne, and all the host of heaven standing on his right hand and on his left.(KJV-1611) 2Ch 18:18 Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:19 ============ 2Ch 18:19 And the LORD said, Who shall entice Ahab king of Israel, that he may go up and fall at Ramothgilead? And one spake saying after this manner, and another saying after that manner.(KJV-1611) 2Ch 18:19 Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:20 ============ 2Ch 18:20 Then there came out a spirit, and stood before the LORD, and said, I will entice him. And the LORD said unto him, Wherewith?(KJV-1611) 2Ch 18:20 Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:21 ============ 2Ch 18:21 And he said, I will go out, and be a lying spirit in the mouth of all his prophets. And the Lord said, Thou shalt entice him, and thou shalt also prevail: go out, and do even so.(KJV-1611) 2Ch 18:21 Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:22 ============ 2Ch 18:22 Now therefore, behold, the LORD hath put a lying spirit in the mouth of these thy prophets, and the LORD hath spoken evil against thee.(KJV-1611) 2Ch 18:22 Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:23 ============ 2Ch 18:23 Then Zedekiah the son of Chenaanah came near, and smote Micaiah upon the cheek, and said, Which way went the Spirit of the LORD from me to speak unto thee?(KJV-1611) 2Ch 18:23 Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:24 ============ 2Ch 18:24 And Micaiah said, Behold, thou shalt see on that day when thou shalt go into an inner chamber to hide thyself.(KJV-1611) 2Ch 18:24 Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase sot nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:25 ============ 2Ch 18:25 Then the king of Israel said, Take ye Micaiah, and carry him back to Amon the governor of the city, and to Joash the king's son;(KJV-1611) 2Ch 18:25 Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di: -Arete Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:26 ============ 2Ch 18:26 And say, Thus saith the king, Put this fellow in the prison, and feed him with bread of affliction and with water of affliction, until I return in peace.(KJV-1611) 2Ch 18:26 Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ak malè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:27 ============ 2Ch 18:27 And Micaiah said, If thou certainly return in peace, then hath not the LORD spoken by me. And he said, Hearken, all ye people.(KJV-1611) 2Ch 18:27 Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:28 ============ 2Ch 18:28 So the king of Israel and Jehoshaphat the king of Judah went up to Ramothgilead.(KJV-1611) 2Ch 18:28 Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:29 ============ 2Ch 18:29 And the king of Israel said unto Jehoshaphat, I will disguise myself, and I will go to the battle; but put thou on thy robes. So the king of Israel disguised himself; and they went to the battle.(KJV-1611) 2Ch 18:29 Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, li al goumen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:30 ============ 2Ch 18:30 Now the king of Syria had commanded the captains of the chariots that were with him, saying, Fight ye not with small or great, save only with the king of Israel.(KJV-1611) 2Ch 18:30 Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo lòd pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:31 ============ 2Ch 18:31 And it came to pass, when the captains of the chariots saw Jehoshaphat, that they said, It is the king of Israel. Therefore they compassed about him to fight: but Jehoshaphat cried out, and the LORD helped him; and God moved them to depart from him.(KJV-1611) 2Ch 18:31 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou yo atake l'. Men, Jozafa rele anmwe. Bondye sèl mèt la vin pote l' sekou, li fè yo vire kite l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:32 ============ 2Ch 18:32 For it came to pass, that, when the captains of the chariots perceived that it was not the king of Israel, they turned back again from pursuing him.(KJV-1611) 2Ch 18:32 Lè mesye yo wè se pa li menm ki te wa peyi Izrayèl la, yo rete sou sa yo te vle fè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:33 ============ 2Ch 18:33 And a certain man drew a bow at a venture, and smote the king of Israel between the joints of the harness: therefore he said to his chariot man, Turn thine hand, that thou mayest carry me out of the host; for I am wounded.(KJV-1611) 2Ch 18:33 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 18:34 ============ 2Ch 18:34 And the battle increased that day: howbeit the king of Israel stayed himself up in his chariot against the Syrians until the even: and about the time of the sun going down he died.(KJV-1611) 2Ch 18:34 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:1 ============ 2Ch 19:1 And Jehoshaphat the king of Judah returned to his house in peace to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 19:1 Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:2 ============ 2Ch 19:2 And Jehu the son of Hanani the seer went out to meet him, and said to king Jehoshaphat, Shouldest thou help the ungodly, and love them that hate the LORD? therefore is wrath upon thee from before the LORD.(KJV-1611) 2Ch 19:2 Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:3 ============ 2Ch 19:3 Nevertheless there are good things found in thee, in that thou hast taken away the groves out of the land, and hast prepared thine heart to seek God.(KJV-1611) 2Ch 19:3 Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:4 ============ 2Ch 19:4 And Jehoshaphat dwelt at Jerusalem: and he went out again through the people from Beersheba to mount Ephraim, and brought them back unto the LORD God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 19:4 Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:5 ============ 2Ch 19:5 And he set judges in the land throughout all the fenced cities of Judah, city by city,(KJV-1611) 2Ch 19:5 Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:6 ============ 2Ch 19:6 And said to the judges, Take heed what ye do: for ye judge not for man, but for the LORD, who is with you in the judgment.(KJV-1611) 2Ch 19:6 Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:7 ============ 2Ch 19:7 Wherefore now let the fear of the LORD be upon you; take heed and do it: for there is no iniquity with the LORD our God, nor respect of persons, nor taking of gifts.(KJV-1611) 2Ch 19:7 Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:8 ============ 2Ch 19:8 Moreover in Jerusalem did Jehoshaphat set of the Levites, and of the priests, and of the chief of the fathers of Israel, for the judgment of the LORD, and for controversies, when they returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 19:8 Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:9 ============ 2Ch 19:9 And he charged them, saying, Thus shall ye do in the fear of the LORD, faithfully, and with a perfect heart.(KJV-1611) 2Ch 19:9 Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:10 ============ 2Ch 19:10 And what cause soever shall come to you of your brethren that dwell in your cities, between blood and blood, between law and commandment, statutes and judgments, ye shall even warn them that they trespass not against the LORD, and so wrath come upon you, and upon your brethren: this do, and ye shall not trespass.(KJV-1611) 2Ch 19:10 Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 19:11 ============ 2Ch 19:11 And, behold, Amariah the chief priest is over you in all matters of the LORD; and Zebadiah the son of Ishmael, the ruler of the house of Judah, for all the king's matters: also the Levites shall be officers before you. Deal courageously, and the LORD shall be with the good.(KJV-1611) 2Ch 19:11 Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:1 ============ 2Ch 20:1 It came to pass after this also, that the children of Moab, and the children of Ammon, and with them other beside the Ammonites, came against Jehoshaphat to battle.(KJV-1611) 2Ch 20:1 Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:2 ============ 2Ch 20:2 Then there came some that told Jehoshaphat, saying, There cometh a great multitude against thee from beyond the sea on this side Syria; and, behold, they be in Hazazontamar, which is Engedi.(KJV-1611) 2Ch 20:2 Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l' konsa: -Men yon gwo lame soti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gen tan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:3 ============ 2Ch 20:3 And Jehoshaphat feared, and set himself to seek the LORD, and proclaimed a fast throughout all Judah.(KJV-1611) 2Ch 20:3 Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:4 ============ 2Ch 20:4 And Judah gathered themselves together, to ask help of the LORD: even out of all the cities of Judah they came to seek the LORD.(KJV-1611) 2Ch 20:4 Moun soti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:5 ============ 2Ch 20:5 And Jehoshaphat stood in the congregation of Judah and Jerusalem, in the house of the LORD, before the new court,(KJV-1611) 2Ch 20:5 Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:6 ============ 2Ch 20:6 And said, O LORD God of our fathers, art not thou God in heaven? and rulest not thou over all the kingdoms of the heathen? and in thine hand is there not power and might, so that none is able to withstand thee?(KJV-1611) 2Ch 20:6 Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:7 ============ 2Ch 20:7 Art not thou our God, who didst drive out the inhabitants of this land before thy people Israel, and gavest it to the seed of Abraham thy friend for ever?(KJV-1611) 2Ch 20:7 Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l' rele yo pa yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:8 ============ 2Ch 20:8 And they dwelt therein, and have built thee a sanctuary therein for thy name, saying,(KJV-1611) 2Ch 20:8 Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:9 ============ 2Ch 20:9 If, when evil cometh upon us, as the sword, judgment, or pestilence, or famine, we stand before this house, and in thy presence, (for thy name is in this house,) and cry unto thee in our affliction, then thou wilt hear and help.(KJV-1611) 2Ch 20:9 nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:10 ============ 2Ch 20:10 And now, behold, the children of Ammon and Moab and mount Seir, whom thou wouldest not let Israel invade, when they came out of the land of Egypt, but they turned from them, and destroyed them not;(KJV-1611) 2Ch 20:10 Koulye a, men moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo ak moun peyi Edon yo vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite peyi Lejip, ou pa t' kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa t' pase lakay yo, yo pa detwi yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:11 ============ 2Ch 20:11 Behold, I say, how they reward us, to come to cast us out of thy possession, which thou hast given us to inherit.(KJV-1611) 2Ch 20:11 Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:12 ============ 2Ch 20:12 O our God, wilt thou not judge them? for we have no might against this great company that cometh against us; neither know we what to do: but our eyes are upon thee.(KJV-1611) 2Ch 20:12 Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n' kanpe devan tout gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N'ap tann sa ou pral fè pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:13 ============ 2Ch 20:13 And all Judah stood before the LORD, with their little ones, their wives, and their children.(KJV-1611) 2Ch 20:13 Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:14 ============ 2Ch 20:14 Then upon Jahaziel the son of Zechariah, the son of Benaiah, the son of Jeiel, the son of Mattaniah, a Levite of the sons of Asaph, came the Spirit of the LORD in the midst of the congregation;(KJV-1611) 2Ch 20:14 Lespri Seyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:15 ============ 2Ch 20:15 And he said, Hearken ye, all Judah, and ye inhabitants of Jerusalem, and thou king Jehoshaphat, Thus saith the LORD unto you, Be not afraid nor dismayed by reason of this great multitude; for the battle is not yours, but God's.(KJV-1611) 2Ch 20:15 Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:16 ============ 2Ch 20:16 To morrow go ye down against them: behold, they come up by the cliff of Ziz; and ye shall find them at the end of the brook, before the wilderness of Jeruel.(KJV-1611) 2Ch 20:16 Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:17 ============ 2Ch 20:17 Ye shall not need to fight in this battle: set yourselves, stand ye still, and see the salvation of the LORD with you, O Judah and Jerusalem: fear not, nor be dismayed; to morrow go out against them: for the LORD will be with you.(KJV-1611) 2Ch 20:17 Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Seyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Seyè a ap kanpe la avèk nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:18 ============ 2Ch 20:18 And Jehoshaphat bowed his head with his face to the ground: and all Judah and the inhabitants of Jerusalem fell before the LORD, worshipping the LORD.(KJV-1611) 2Ch 20:18 Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:19 ============ 2Ch 20:19 And the Levites, of the children of the Kohathites, and of the children of the Korhites, stood up to praise the LORD God of Israel with a loud voice on high.(KJV-1611) 2Ch 20:19 Moun Levi branch fanmi Keyat yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Kore yo leve kanpe, yo pran fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, byen fò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:20 ============ 2Ch 20:20 And they rose early in the morning, and went forth into the wilderness of Tekoa: and as they went forth, Jehoshaphat stood and said, Hear me, O Judah, and ye inhabitants of Jerusalem; Believe in the LORD your God, so shall ye be established; believe his prophets, so shall ye prosper.(KJV-1611) 2Ch 20:20 Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:21 ============ 2Ch 20:21 And when he had consulted with the people, he appointed singers unto the LORD, and that should praise the beauty of holiness, as they went out before the army, and to say, Praise the LORD; for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) 2Ch 20:21 Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:22 ============ 2Ch 20:22 And when they began to sing and to praise, the LORD set ambushments against the children of Ammon, Moab, and mount Seir, which were come against Judah; and they were smitten.(KJV-1611) 2Ch 20:22 Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Seyè a, Seyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Moab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:23 ============ 2Ch 20:23 For the children of Ammon and Moab stood up against the inhabitants of mount Seir, utterly to slay and destroy them: and when they had made an end of the inhabitants of Seir, every one helped to destroy another.(KJV-1611) 2Ch 20:23 Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:24 ============ 2Ch 20:24 And when Judah came toward the watch tower in the wilderness, they looked unto the multitude, and, behold, they were dead bodies fallen to the earth, and none escaped.(KJV-1611) 2Ch 20:24 Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:25 ============ 2Ch 20:25 And when Jehoshaphat and his people came to take away the spoil of them, they found among them in abundance both riches with the dead bodies, and precious jewels, which they stripped off for themselves, more than they could carry away: and they were three days in gathering of the spoil, it was so much.(KJV-1611) 2Ch 20:25 Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite. yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitelman, yo pa t' ka pran tout pote ale.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:26 ============ 2Ch 20:26 And on the fourth day they assembled themselves in the valley of Berachah; for there they blessed the LORD: therefore the name of the same place was called, The valley of Berachah, unto this day.(KJV-1611) 2Ch 20:26 Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:27 ============ 2Ch 20:27 Then they returned, every man of Judah and Jerusalem, and Jehoshaphat in the forefront of them, to go again to Jerusalem with joy; for the LORD had made them to rejoice over their enemies.(KJV-1611) 2Ch 20:27 Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Seyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:28 ============ 2Ch 20:28 And they came to Jerusalem with psalteries and harps and trumpets unto the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 20:28 Lè yo rive lavil Jerizalèm, yo ale nan Tanp Seyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:29 ============ 2Ch 20:29 And the fear of God was on all the kingdoms of those countries, when they had heard that the LORD fought against the enemies of Israel.(KJV-1611) 2Ch 20:29 Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jan Seyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te soti pè anpil.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:30 ============ 2Ch 20:30 So the realm of Jehoshaphat was quiet: for his God gave him rest round about.(KJV-1611) 2Ch 20:30 Se konsa rèy Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinaj yo viv byen avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:31 ============ 2Ch 20:31 And Jehoshaphat reigned over Judah: he was thirty and five years old when he began to reign, and he reigned twenty and five years in Jerusalem. And his mother's name was Azubah the daughter of Shilhi.(KJV-1611) 2Ch 20:31 Lè Jozafa moute sou fotèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:32 ============ 2Ch 20:32 And he walked in the way of Asa his father, and departed not from it, doing that which was right in the sight of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 20:32 Jozafa te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:33 ============ 2Ch 20:33 Howbeit the high places were not taken away: for as yet the people had not prepared their hearts unto the God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 20:33 Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:34 ============ 2Ch 20:34 Now the rest of the acts of Jehoshaphat, first and last, behold, they are written in the book of Jehu the son of Hanani, who is mentioned in the book of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ch 20:34 Tou sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:35 ============ 2Ch 20:35 And after this did Jehoshaphat king of Judah join himself with Ahaziah king of Israel, who did very wickedly:(KJV-1611) 2Ch 20:35 Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:36 ============ 2Ch 20:36 And he joined himself with him to make ships to go to Tarshish: and they made the ships in Eziongaber.(KJV-1611) 2Ch 20:36 Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 20:37 ============ 2Ch 20:37 Then Eliezer the son of Dodavah of Mareshah prophesied against Jehoshaphat, saying, Because thou hast joined thyself with Ahaziah, the LORD hath broken thy works. And the ships were broken, that they were not able to go to Tarshish.(KJV-1611) 2Ch 20:37 Men Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l': -Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Seyè a pral kraze sa ou te bati a. Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:1 ============ 2Ch 21:1 Now Jehoshaphat slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David. And Jehoram his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 21:1 Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:2 ============ 2Ch 21:2 And he had brethren the sons of Jehoshaphat, Azariah, and Jehiel, and Zechariah, and Azariah, and Michael, and Shephatiah: all these were the sons of Jehoshaphat king of Israel.(KJV-1611) 2Ch 21:2 Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:3 ============ 2Ch 21:3 And their father gave them great gifts of silver, and of gold, and of precious things, with fenced cities in Judah: but the kingdom gave he to Jehoram; because he was the firstborn.(KJV-1611) 2Ch 21:3 Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:4 ============ 2Ch 21:4 Now when Jehoram was risen up to the kingdom of his father, he strengthened himself, and slew all his brethren with the sword, and divers also of the princes of Israel.(KJV-1611) 2Ch 21:4 Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:5 ============ 2Ch 21:5 Jehoram was thirty and two years old when he began to reign, and he reigned eight years in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 21:5 Joram te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:6 ============ 2Ch 21:6 And he walked in the way of the kings of Israel, like as did the house of Ahab: for he had the daughter of Ahab to wife: and he wrought that which was evil in the eyes of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 21:6 Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:7 ============ 2Ch 21:7 Howbeit the LORD would not destroy the house of David, because of the covenant that he had made with David, and as he promised to give a light to him and to his sons for ever.(KJV-1611) 2Ch 21:7 Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:8 ============ 2Ch 21:8 In his days the Edomites revolted from under the dominion of Judah, and made themselves a king.(KJV-1611) 2Ch 21:8 Sou rèy wa Joram, moun peyi Edon yo pran lèzam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo, yo nonmen yon wa pou gouvènen yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:9 ============ 2Ch 21:9 Then Jehoram went forth with his princes, and all his chariots with him: and he rose up by night, and smote the Edomites which compassed him in, and the captains of the chariots.(KJV-1611) 2Ch 21:9 Se konsa Joram soti ak tout chèf li yo ak tout cha lagè li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, Joram ak chèf cha lagè li yo leve, yo atake moun Edon yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape kò yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:10 ============ 2Ch 21:10 So the Edomites revolted from under the hand of Judah unto this day. The same time also did Libnah revolt from under his hand; because he had forsaken the LORD God of his fathers.(KJV-1611) 2Ch 21:10 Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:11 ============ 2Ch 21:11 Moreover he made high places in the mountains of Judah and caused the inhabitants of Jerusalem to commit fornication, and compelled Judah thereto.(KJV-1611) 2Ch 21:11 Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:12 ============ 2Ch 21:12 And there came a writing to him from Elijah the prophet, saying, Thus saith the LORD God of David thy father, Because thou hast not walked in the ways of Jehoshaphat thy father, nor in the ways of Asa king of Judah,(KJV-1611) 2Ch 21:12 Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:13 ============ 2Ch 21:13 But hast walked in the way of the kings of Israel, and hast made Judah and the inhabitants of Jerusalem to go a whoring, like to the whoredoms of the house of Ahab, and also hast slain thy brethren of thy father's house, which were better than thyself:(KJV-1611) 2Ch 21:13 Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:14 ============ 2Ch 21:14 Behold, with a great plague will the LORD smite thy people, and thy children, and thy wives, and all thy goods:(KJV-1611) 2Ch 21:14 Se poutèt sa, Seyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:15 ============ 2Ch 21:15 And thou shalt have great sickness by disease of thy bowels, until thy bowels fall out by reason of the sickness day by day.(KJV-1611) 2Ch 21:15 Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va soti.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:16 ============ 2Ch 21:16 Moreover the LORD stirred up against Jehoram the spirit of the Philistines, and of the Arabians, that were near the Ethiopians:(KJV-1611) 2Ch 21:16 Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:17 ============ 2Ch 21:17 And they came up into Judah, and brake into it, and carried away all the substance that was found in the king's house, and his sons also, and his wives; so that there was never a son left him, save Jehoahaz, the youngest of his sons.(KJV-1611) 2Ch 21:17 Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:18 ============ 2Ch 21:18 And after all this the LORD smote him in his bowels with an incurable disease.(KJV-1611) 2Ch 21:18 Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:19 ============ 2Ch 21:19 And it came to pass, that in process of time, after the end of two years, his bowels fell out by reason of his sickness: so he died of sore diseases. And his people made no burning for him, like the burning of his fathers.(KJV-1611) 2Ch 21:19 Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 21:20 ============ 2Ch 21:20 Thirty and two years old was he when he began to reign, and he reigned in Jerusalem eight years, and departed without being desired. Howbeit they buried him in the city of David, but not in the sepulchres of the kings.(KJV-1611) 2Ch 21:20 Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:1 ============ 2Ch 22:1 And the inhabitants of Jerusalem made Ahaziah his youngest son king in his stead: for the band of men that came with the Arabians to the camp had slain all the eldest. So Ahaziah the son of Jehoram king of Judah reigned.(KJV-1611) 2Ch 22:1 Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:2 ============ 2Ch 22:2 Forty and two years old was Ahaziah when he began to reign, and he reigned one year in Jerusalem. His mother's name also was Athaliah the daughter of Omri.(KJV-1611) 2Ch 22:2 Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan yon sèl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:3 ============ 2Ch 22:3 He also walked in the ways of the house of Ahab: for his mother was his counsellor to do wickedly.(KJV-1611) 2Ch 22:3 Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:4 ============ 2Ch 22:4 Wherefore he did evil in the sight of the LORD like the house of Ahab: for they were his counsellors after the death of his father to his destruction.(KJV-1611) 2Ch 22:4 Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:5 ============ 2Ch 22:5 He walked also after their counsel, and went with Jehoram the son of Ahab king of Israel to war against Hazael king of Syria at Ramothgilead: and the Syrians smote Joram.(KJV-1611) 2Ch 22:5 Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:6 ============ 2Ch 22:6 And he returned to be healed in Jezreel because of the wounds which were given him at Ramah, when he fought with Hazael king of Syria. And Azariah the son of Jehoram king of Judah went down to see Jehoram the son of Ahab at Jezreel, because he was sick.(KJV-1611) 2Ch 22:6 Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:7 ============ 2Ch 22:7 And the destruction of Ahaziah was of God by coming to Joram: for when he was come, he went out with Jehoram against Jehu the son of Nimshi, whom the LORD had anointed to cut off the house of Ahab.(KJV-1611) 2Ch 22:7 Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:8 ============ 2Ch 22:8 And it came to pass, that, when Jehu was executing judgment upon the house of Ahab, and found the princes of Judah, and the sons of the brethren of Ahaziah, that ministered to Ahaziah, he slew them.(KJV-1611) 2Ch 22:8 Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:9 ============ 2Ch 22:9 And he sought Ahaziah: and they caught him, (for he was hid in Samaria,) and brought him to Jehu: and when they had slain him, they buried him: Because, said they, he is the son of Jehoshaphat, who sought the LORD with all his heart. So the house of Ahaziah had no power to keep still the kingdom.(KJV-1611) 2Ch 22:9 Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:10 ============ 2Ch 22:10 But when Athaliah the mother of Ahaziah saw that her son was dead, she arose and destroyed all the seed royal of the house of Judah.(KJV-1611) 2Ch 22:10 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:11 ============ 2Ch 22:11 But Jehoshabeath, the daughter of the king, took Joash the son of Ahaziah, and stole him from among the king's sons that were slain, and put him and his nurse in a bedchamber. So Jehoshabeath, the daughter of king Jehoram, the wife of Jehoiada the priest, (for she was the sister of Ahaziah,) hid him from Athaliah, so that she slew him not.(KJV-1611) 2Ch 22:11 Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pa t' mouri tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 22:12 ============ 2Ch 22:12 And he was with them hid in the house of God six years: and Athaliah reigned over the land.(KJV-1611) 2Ch 22:12 Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:1 ============ 2Ch 23:1 And in the seventh year Jehoiada strengthened himself, and took the captains of hundreds, Azariah the son of Jeroham, and Ishmael the son of Jehohanan, and Azariah the son of Obed, and Maaseiah the son of Adaiah, and Elishaphat the son of Zichri, into covenant with him.(KJV-1611) 2Ch 23:1 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l' fè sa pou l' fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:2 ============ 2Ch 23:2 And they went about in Judah, and gathered the Levites out of all the cities of Judah, and the chief of the fathers of Israel, and they came to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 23:2 Mesye sa yo vwayaje ale nan tout lavil peyi Jida yo, yo al chache moun Levi yo ak tout chèf fanmi yo, fè yo moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:3 ============ 2Ch 23:3 And all the congregation made a covenant with the king in the house of God. And he said unto them, Behold, the king's son shall reign, as the LORD hath said of the sons of David.(KJV-1611) 2Ch 23:3 Yo tout reyini nan Tanp lan. Yo pase yon kontra ak wa Joas, lèfini Jeojada di yo: -Men pitit gason defen wa nou an. Se li menm ki pral gouvènen koulye a jan Seyè a te pwomèt fanmi David la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:4 ============ 2Ch 23:4 This is the thing that ye shall do; A third part of you entering on the sabbath, of the priests and of the Levites, shall be porters of the doors;(KJV-1611) 2Ch 23:4 Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y'a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:5 ============ 2Ch 23:5 And a third part shall be at the king's house; and a third part at the gate of the foundation: and all the people shall be in the courts of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 23:5 Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:6 ============ 2Ch 23:6 But let none come into the house of the LORD, save the priests, and they that minister of the Levites; they shall go in, for they are holy: but all the people shall keep the watch of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 23:6 Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:7 ============ 2Ch 23:7 And the Levites shall compass the king round about, every man with his weapons in his hand; and whosoever else cometh into the house, he shall be put to death: but be ye with the king when he cometh in, and when he goeth out.(KJV-1611) 2Ch 23:7 Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y'a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y'a mache avè l' nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:8 ============ 2Ch 23:8 So the Levites and all Judah did according to all things that Jehoiada the priest had commanded, and took every man his men that were to come in on the sabbath, with them that were to go out on the sabbath: for Jehoiada the priest dismissed not the courses.(KJV-1611) 2Ch 23:8 Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pa t' kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t'ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:9 ============ 2Ch 23:9 Moreover Jehoiada the priest delivered to the captains of hundreds spears, and bucklers, and shields, that had been king David's, which were in the house of God.(KJV-1611) 2Ch 23:9 Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:10 ============ 2Ch 23:10 And he set all the people, every man having his weapon in his hand, from the right side of the temple to the left side of the temple, along by the altar and the temple, by the king round about.(KJV-1611) 2Ch 23:10 Li mete moun ak nepe nan men yo sou tout devan Tanp lan ak devan lotèl la, depi sou bò gòch rive sou bò dwat Tanp lan pou pwoteje wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:11 ============ 2Ch 23:11 Then they brought out the king's son, and put upon him the crown, and gave him the testimony, and made him king. And Jehoiada and his sons anointed him, and said, God save the king.(KJV-1611) 2Ch 23:11 Lèfini, li fè Joas, pitit wa a, soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l' wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l' apa pou travay la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa a!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:12 ============ 2Ch 23:12 Now when Athaliah heard the noise of the people running and praising the king, she came to the people into the house of the LORD:(KJV-1611) 2Ch 23:12 Lè Atali tande bri pye pèp la ki t'ap kouri epi ki t'ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:13 ============ 2Ch 23:13 And she looked, and, behold, the king stood at his pillar at the entering in, and the princes and the trumpets by the king: and all the people of the land rejoiced, and sounded with trumpets, also the singers with instruments of musick, and such as taught to sing praise. Then Athaliah rent her clothes, and said, Treason, Treason.(KJV-1611) 2Ch 23:13 Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l'. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:14 ============ 2Ch 23:14 Then Jehoiada the priest brought out the captains of hundreds that were set over the host, and said unto them, Have her forth of the ranges: and whoso followeth her, let him be slain with the sword. For the priest said, Slay her not in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 23:14 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd, li di yo: -Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè ki ta vle swiv li. Prèt la te bay lòd pou yo pa touye Atali anndan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:15 ============ 2Ch 23:15 So they laid hands on her; and when she was come to the entering of the horse gate by the king's house, they slew her there.(KJV-1611) 2Ch 23:15 Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:16 ============ 2Ch 23:16 And Jehoiada made a covenant between him, and between all the people, and between the king, that they should be the LORD's people.(KJV-1611) 2Ch 23:16 Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:17 ============ 2Ch 23:17 Then all the people went to the house of Baal, and brake it down, and brake his altars and his images in pieces, and slew Mattan the priest of Baal before the altars.(KJV-1611) 2Ch 23:17 Lè yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:18 ============ 2Ch 23:18 Also Jehoiada appointed the offices of the house of the LORD by the hand of the priests the Levites, whom David had distributed in the house of the LORD, to offer the burnt offerings of the LORD, as it is written in the law of Moses, with rejoicing and with singing, as it was ordained by David.(KJV-1611) 2Ch 23:18 Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:19 ============ 2Ch 23:19 And he set the porters at the gates of the house of the LORD, that none which was unclean in any thing should enter in.(KJV-1611) 2Ch 23:19 Jeojada mete gad an faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:20 ============ 2Ch 23:20 And he took the captains of hundreds, and the nobles, and the governors of the people, and all the people of the land, and brought down the king from the house of the LORD: and they came through the high gate into the king's house, and set the king upon the throne of the kingdom.(KJV-1611) 2Ch 23:20 Apre sa, li pran kaptenn yo, notab yo, otorite yo ak tout rès pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, yo mennen l' ale nan palè a. Yo pase antre nan pòtay Wa a. Lèfini, yo fè wa a chita sou fotèy li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 23:21 ============ 2Ch 23:21 And all the people of the land rejoiced: and the city was quiet, after that they had slain Athaliah with the sword.(KJV-1611) 2Ch 23:21 Tout pèp la te kontan anpil. Pat gen yon ti bri nan lavil la depi yo te fin touye Atali ak kout nepe a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:1 ============ 2Ch 24:1 Joash was seven years old when he began to reign, and he reigned forty years in Jerusalem. His mother's name also was Zibiah of Beersheba.(KJV-1611) 2Ch 24:1 Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:2 ============ 2Ch 24:2 And Joash did that which was right in the sight of the LORD all the days of Jehoiada the priest.(KJV-1611) 2Ch 24:2 Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t' ankò mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:3 ============ 2Ch 24:3 And Jehoiada took for him two wives; and he begat sons and daughters.(KJV-1611) 2Ch 24:3 Jeojada te marye wa a ak de madanm ki ba li pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:4 ============ 2Ch 24:4 And it came to pass after this, that Joash was minded to repair the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 24:4 Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l' repare Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:5 ============ 2Ch 24:5 And he gathered together the priests and the Levites, and said to them, Go out unto the cities of Judah, and gather of all Israel money to repair the house of your God from year to year, and see that ye hasten the matter. Howbeit the Levites hastened it not.(KJV-1611) 2Ch 24:5 Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:6 ============ 2Ch 24:6 And the king called for Jehoiada the chief, and said unto him, Why hast thou not required of the Levites to bring in out of Judah and out of Jerusalem the collection, according to the commandment of Moses the servant of the LORD, and of the congregation of Israel, for the tabernacle of witness?(KJV-1611) 2Ch 24:6 Lè sa a, wa a fè rele Jeojada, granprèt la, li di l' konsa: -Poukisa ou pa rele dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo lajan Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tanp Randevou a?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:7 ============ 2Ch 24:7 For the sons of Athaliah, that wicked woman, had broken up the house of God; and also all the dedicated things of the house of the LORD did they bestow upon Baalim.(KJV-1611) 2Ch 24:7 Atali ki te yon fanm vèmen ansanm ak moun pa l' yo te antre fè dega nan Tanp Seyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:8 ============ 2Ch 24:8 And at the king's commandment they made a chest, and set it without at the gate of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 24:8 Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:9 ============ 2Ch 24:9 And they made a proclamation through Judah and Jerusalem, to bring in to the LORD the collection that Moses the servant of God laid upon Israel in the wilderness.(KJV-1611) 2Ch 24:9 Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:10 ============ 2Ch 24:10 And all the princes and all the people rejoiced, and brought in, and cast into the chest, until they had made an end.(KJV-1611) 2Ch 24:10 Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l' nan bwat la jouk li rive plen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:11 ============ 2Ch 24:11 Now it came to pass, that at what time the chest was brought unto the king's office by the hand of the Levites, and when they saw that there was much money, the king's scribe and the high priest's officer came and emptied the chest, and took it, and carried it to his place again. Thus they did day by day, and gathered money in abundance.(KJV-1611) 2Ch 24:11 Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:12 ============ 2Ch 24:12 And the king and Jehoiada gave it to such as did the work of the service of the house of the LORD, and hired masons and carpenters to repair the house of the LORD, and also such as wrought iron and brass to mend the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 24:12 Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:13 ============ 2Ch 24:13 So the workmen wrought, and the work was perfected by them, and they set the house of God in his state, and strengthened it.(KJV-1611) 2Ch 24:13 Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l' jan l' te ye anvan an, yo fè l' byen solid.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:14 ============ 2Ch 24:14 And when they had finished it, they brought the rest of the money before the king and Jehoiada, whereof were made vessels for the house of the LORD, even vessels to minister, and to offer withal, and spoons, and vessels of gold and silver. And they offered burnt offerings in the house of the LORD continually all the days of Jehoiada.(KJV-1611) 2Ch 24:14 Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:15 ============ 2Ch 24:15 But Jehoiada waxed old, and was full of days when he died; an hundred and thirty years old was he when he died.(KJV-1611) 2Ch 24:15 Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:16 ============ 2Ch 24:16 And they buried him in the city of David among the kings, because he had done good in Israel, both toward God, and toward his house.(KJV-1611) 2Ch 24:16 Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:17 ============ 2Ch 24:17 Now after the death of Jehoiada came the princes of Judah, and made obeisance to the king. Then the king hearkened unto them.(KJV-1611) 2Ch 24:17 Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:18 ============ 2Ch 24:18 And they left the house of the LORD God of their fathers, and served groves and idols: and wrath came upon Judah and Jerusalem for this their trespass.(KJV-1611) 2Ch 24:18 Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:19 ============ 2Ch 24:19 Yet he sent prophets to them, to bring them again unto the LORD; and they testified against them: but they would not give ear.(KJV-1611) 2Ch 24:19 Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:20 ============ 2Ch 24:20 And the Spirit of God came upon Zechariah the son of Jehoiada the priest, which stood above the people, and said unto them, Thus saith God, Why transgress ye the commandments of the LORD, that ye cannot prosper? because ye have forsaken the LORD, he hath also forsaken you.(KJV-1611) 2Ch 24:20 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:21 ============ 2Ch 24:21 And they conspired against him, and stoned him with stones at the commandment of the king in the court of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 24:21 Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:22 ============ 2Ch 24:22 Thus Joash the king remembered not the kindness which Jehoiada his father had done to him, but slew his son. And when he died, he said, The LORD look upon it, and require it.(KJV-1611) 2Ch 24:22 Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:23 ============ 2Ch 24:23 And it came to pass at the end of the year, that the host of Syria came up against him: and they came to Judah and Jerusalem, and destroyed all the princes of the people from among the people, and sent all the spoil of them unto the king of Damascus.(KJV-1611) 2Ch 24:23 Menm lanne sa a, lè sezon prentan rive, lame peyi Siri a atake wa Joas, yo anvayi peyi Jida ak lavil Jerizalèm. Yo touye tout chèf yo, yo piye peyi a, yo voye tou sa yo te pran bay wa lavil Damas la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:24 ============ 2Ch 24:24 For the army of the Syrians came with a small company of men, and the LORD delivered a very great host into their hand, because they had forsaken the LORD God of their fathers. So they executed judgment against Joash.(KJV-1611) 2Ch 24:24 Lame peyi Siri a pa t' anpil, men Seyè a te kite l' kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l' te fè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:25 ============ 2Ch 24:25 And when they were departed from him, (for they left him in great diseases,) his own servants conspired against him for the blood of the sons of Jehoiada the priest, and slew him on his bed, and he died: and they buried him in the city of David, but they buried him not in the sepulchres of the kings.(KJV-1611) 2Ch 24:25 Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:26 ============ 2Ch 24:26 And these are they that conspired against him; Zabad the son of Shimeath an Ammonitess, and Jehozabad the son of Shimrith a Moabitess.(KJV-1611) 2Ch 24:26 Men non chèf ki te fè konplo a: se te Zabad, pitit gason Chimeya, yon fanm peyi Amon ak Jeozabad, pitit Chimrit, yon fanm peyi Moab.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 24:27 ============ 2Ch 24:27 Now concerning his sons, and the greatness of the burdens laid upon him, and the repairing of the house of God, behold, they are written in the story of the book of the kings. And Amaziah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 24:27 Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n'a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesaj pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a. Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:1 ============ 2Ch 25:1 Amaziah was twenty and five years old when he began to reign, and he reigned twenty and nine years in Jerusalem. And his mother's name was Jehoaddan of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 25:1 Amasya te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan, moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:2 ============ 2Ch 25:2 And he did that which was right in the sight of the LORD, but not with a perfect heart.(KJV-1611) 2Ch 25:2 Amasya te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa ak tout kè li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:3 ============ 2Ch 25:3 Now it came to pass, when the kingdom was established to him, that he slew his servants that had killed the king his father.(KJV-1611) 2Ch 25:3 Lè Amasya fin chita otorite l', li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l' yo epi ki te touye papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:4 ============ 2Ch 25:4 But he slew not their children, but did as it is written in the law in the book of Moses, where the LORD commanded, saying, The fathers shall not die for the children, neither shall the children die for the fathers, but every man shall die for his own sin.(KJV-1611) 2Ch 25:4 Men li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske dapre sa ki ekri nan Liv lalwa Moyiz la, Bondye te bay lòd sa a: Nou pa gen dwa touye yon papa pou krim pitit li fè. Ni nou pa gen dwa touye yon pitit pou krim papa l' te fè. Y'a touye yon moun pou krim li menm li fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:5 ============ 2Ch 25:5 Moreover Amaziah gathered Judah together, and made them captains over thousands, and captains over hundreds, according to the houses of their fathers, throughout all Judah and Benjamin: and he numbered them from twenty years old and above, and found them three hundred thousand choice men, able to go forth to war, that could handle spear and shield.(KJV-1611) 2Ch 25:5 Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:6 ============ 2Ch 25:6 He hired also an hundred thousand mighty men of valour out of Israel for an hundred talents of silver.(KJV-1611) 2Ch 25:6 Lèfini, li pran sanmil kilo ajan pou yo goumen pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:7 ============ 2Ch 25:7 But there came a man of God to him, saying, O king, let not the army of Israel go with thee; for the LORD is not with Israel, to wit, with all the children of Ephraim.(KJV-1611) 2Ch 25:7 Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:8 ============ 2Ch 25:8 But if thou wilt go, do it; be strong for the battle: God shall make thee fall before the enemy: for God hath power to help, and to cast down.(KJV-1611) 2Ch 25:8 Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:9 ============ 2Ch 25:9 And Amaziah said to the man of God, But what shall we do for the hundred talents which I have given to the army of Israel? And the man of God answered, The LORD is able to give thee much more than this.(KJV-1611) 2Ch 25:9 Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:10 ============ 2Ch 25:10 Then Amaziah separated them, to wit, the army that was come to him out of Ephraim, to go home again: wherefore their anger was greatly kindled against Judah, and they returned home in great anger.(KJV-1611) 2Ch 25:10 Se konsa Amasya fè sòlda li te fè vini soti nan peyi Efrayim yo mete kò yo sou kote, li voye yo al fè wout yo lakay yo. Men sòlda sa yo te fache anpil sou moun peyi Jida yo poutèt sa. Yo tounen lakay yo byen move.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:11 ============ 2Ch 25:11 And Amaziah strengthened himself, and led forth his people, and went to the valley of salt, and smote of the children of Seir ten thousand.(KJV-1611) 2Ch 25:11 Amasya mete gason sou li, li mennen lame li a nan Fon Sale a kote li touye dimil moun mòn Seyi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:12 ============ 2Ch 25:12 And other ten thousand left alive did the children of Judah carry away captive, and brought them unto the top of the rock, and cast them down from the top of the rock, that they all were broken in pieces.(KJV-1611) 2Ch 25:12 Sòlda peyi Jida yo fè dimil prizonye met sou sa. Yo pran yo, yo mennen yo sou tèt yon falèz, yo lage yo anba kote yo mouri kraze.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:13 ============ 2Ch 25:13 But the soldiers of the army which Amaziah sent back, that they should not go with him to battle, fell upon the cities of Judah, from Samaria even unto Bethhoron, and smote three thousand of them, and took much spoil.(KJV-1611) 2Ch 25:13 Men, sòlda Amasya te voye tounen lakay yo pou yo pa ale nan lagè ansanm avè l' yo, anvayi lavil peyi Jida yo, depi lavil Samari rive lavil Bètowon. Yo touye twamil moun, yo pran yon pakèt bagay pote ale.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:14 ============ 2Ch 25:14 Now it came to pass, after that Amaziah was come from the slaughter of the Edomites, that he brought the gods of the children of Seir, and set them up to be his gods, and bowed down himself before them, and burned incense unto them.(KJV-1611) 2Ch 25:14 Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:15 ============ 2Ch 25:15 Wherefore the anger of the LORD was kindled against Amaziah, and he sent unto him a prophet, which said unto him, Why hast thou sought after the gods of the people, which could not deliver their own people out of thine hand?(KJV-1611) 2Ch 25:15 Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:16 ============ 2Ch 25:16 And it came to pass, as he talked with him, that the king said unto him, Art thou made of the king's counsel? forbear; why shouldest thou be smitten? Then the prophet forbare, and said, I know that God hath determined to destroy thee, because thou hast done this, and hast not hearkened unto my counsel.(KJV-1611) 2Ch 25:16 Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:17 ============ 2Ch 25:17 Then Amaziah king of Judah took advice, and sent to Joash, the son of Jehoahaz, the son of Jehu, king of Israel, saying, Come, let us see one another in the face.(KJV-1611) 2Ch 25:17 Men Amasya, wa peyi Jida a, koute konsèy lòt moun, li voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li di l': -Vini non! Ann wè sa ki pi fò!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:18 ============ 2Ch 25:18 And Joash king of Israel sent to Amaziah king of Judah, saying, The thistle that was in Lebanon sent to the cedar that was in Lebanon, saying, Give thy daughter to my son to wife: and there passed by a wild beast that was in Lebanon, and trode down the thistle.(KJV-1611) 2Ch 25:18 Men, Joas voye reponn li: -Yon jou, yon pye pikan ki te sou mòn Liban an voye yon misyon bay yon pye sèd. Li di l': Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt bwa pase bò la, li kraze pye pikan an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:19 ============ 2Ch 25:19 Thou sayest, Lo, thou hast smitten the Edomites; and thine heart lifteth thee up to boast: abide now at home; why shouldest thou meddle to thine hurt, that thou shouldest fall, even thou, and Judah with thee?(KJV-1611) 2Ch 25:19 Amasya, ou di ou kraze moun peyi Edon yo, koulye a, ou kite lògèy vire tèt ou. Men pito ou rete chita lakay ou tande! Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou epi pou sa pase mal ni pou ou, ni pou peyi Jida a?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:20 ============ 2Ch 25:20 But Amaziah would not hear; for it came of God, that he might deliver them into the hand of their enemies, because they sought after the gods of Edom.(KJV-1611) 2Ch 25:20 Men Amasya derefize koute l'. Paske se te volonte Bondye pou l' te lage l' nan men Joas poutèt li te pran sèvi bondye pèp Edon yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:21 ============ 2Ch 25:21 So Joash the king of Israel went up; and they saw one another in the face, both he and Amaziah king of Judah, at Bethshemesh, which belongeth to Judah.(KJV-1611) 2Ch 25:21 Se konsa Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Bètchemès, nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:22 ============ 2Ch 25:22 And Judah was put to the worse before Israel, and they fled every man to his tent.(KJV-1611) 2Ch 25:22 Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gaye, yo kouri al lakay yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:23 ============ 2Ch 25:23 And Joash the king of Israel took Amaziah king of Judah, the son of Joash, the son of Jehoahaz, at Bethshemesh, and brought him to Jerusalem, and brake down the wall of Jerusalem from the gate of Ephraim to the corner gate, four hundred cubits.(KJV-1611) 2Ch 25:23 Joas, wa peyi Izrayèl la, fe Amasya, pitit Joas, pitit pitit Joakaz, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemès. Lèfini, li mache sou lavil Jerizalèm. Li kraze miray lavil la sou yon longè ki pran depi nan pòtay Efrayim lan rive jouk bò pòtay Kwen an. Sa te fè antou 180 mèt nan miray la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:24 ============ 2Ch 25:24 And he took all the gold and the silver, and all the vessels that were found in the house of God with Obededom, and the treasures of the king's house, the hostages also, and returned to Samaria.(KJV-1611) 2Ch 25:24 Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a sou kont Obèd-Edon, ak tout richès ki te nan palè a, san konte kantite moun li te fè prizonye tankou yon garanti. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:25 ============ 2Ch 25:25 And Amaziah the son of Joash king of Judah lived after the death of Joash son of Jehoahaz king of Israel fifteen years.(KJV-1611) 2Ch 25:25 Amasya, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:26 ============ 2Ch 25:26 Now the rest of the acts of Amaziah, first and last, behold, are they not written in the book of the kings of Judah and Israel?(KJV-1611) 2Ch 25:26 Tout rès istwa Amasya a, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, tou sa ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:27 ============ 2Ch 25:27 Now after the time that Amaziah did turn away from following the LORD they made a conspiracy against him in Jerusalem; and he fled to Lachish: but they sent to Lachish after him, and slew him there.(KJV-1611) 2Ch 25:27 Depi lè Amasya te lage pye Seyè a, yo t'ap fè konplo sou do l' lavil Jerizalèm. Bout pou bout, li kouri al kache lavil lakis. Men, yo voye dèyè l' jouk lavil lakis, yo pran l', yo touye l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 25:28 ============ 2Ch 25:28 And they brought him upon horses, and buried him with his fathers in the city of Judah.(KJV-1611) 2Ch 25:28 Lèfini yo pote kadav li sou chwal lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:1 ============ 2Ch 26:1 Then all the people of Judah took Uzziah, who was sixteen years old, and made him king in the room of his father Amaziah.(KJV-1611) 2Ch 26:1 Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:2 ============ 2Ch 26:2 He built Eloth, and restored it to Judah, after that the king slept with his fathers.(KJV-1611) 2Ch 26:2 Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa peyi Jida a apre lanmò papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:3 ============ 2Ch 26:3 Sixteen years old was Uzziah when he began to reign, and he reigned fifty and two years in Jerusalem. His mother's name also was Jecoliah of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 26:3 Ozyas te gen sèzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:4 ============ 2Ch 26:4 And he did that which was right in the sight of the LORD, according to all that his father Amaziah did.(KJV-1611) 2Ch 26:4 Ozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a menm jan ak Amasya, papa l', te fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:5 ============ 2Ch 26:5 And he sought God in the days of Zechariah, who had understanding in the visions of God: and as long as he sought the LORD, God made him to prosper.(KJV-1611) 2Ch 26:5 Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:6 ============ 2Ch 26:6 And he went forth and warred against the Philistines, and brake down the wall of Gath, and the wall of Jabneh, and the wall of Ashdod, and built cities about Ashdod, and among the Philistines.(KJV-1611) 2Ch 26:6 Ozyas leve al goumen ak moun Filisti yo. Li kraze miray ranpa lavil Gat, lavil Jabne ak lavil Asdòd. Li bati lòt lavil ak miray ranpa nan zòn Asdòd ak nan mitan peyi Filisti a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:7 ============ 2Ch 26:7 And God helped him against the Philistines, and against the Arabians that dwelt in Gurbaal, and the Mehunims.(KJV-1611) 2Ch 26:7 Bondye ede l' goumen kont moun Filisti yo, kont moun Arabi ki t'ap viv lavil Goubaal yo, ak kont moun Mawon yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:8 ============ 2Ch 26:8 And the Ammonites gave gifts to Uzziah: and his name spread abroad even to the entering in of Egypt; for he strengthened himself exceedingly.(KJV-1611) 2Ch 26:8 Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:9 ============ 2Ch 26:9 Moreover Uzziah built towers in Jerusalem at the corner gate, and at the valley gate, and at the turning of the wall, and fortified them.(KJV-1611) 2Ch 26:9 Ozyas ranfòse defans lavil Jerizalèm. Li bati gwo fò tou won bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak nan yon kwen miray la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:10 ============ 2Ch 26:10 Also he built towers in the desert, and digged many wells: for he had much cattle, both in the low country, and in the plains: husbandmen also, and vine dressers in the mountains, and in Carmel: for he loved husbandry.(KJV-1611) 2Ch 26:10 Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:11 ============ 2Ch 26:11 Moreover Uzziah had an host of fighting men, that went out to war by bands, according to the number of their account by the hand of Jeiel the scribe and Maaseiah the ruler, under the hand of Hananiah, one of the king's captains.(KJV-1611) 2Ch 26:11 Ozyas te gen yon gwo lame toujou pare pou fè lagè. Lame a te separe an gwoup, dapre jan yo te enskri nan rejis Jeiyèl, sekretè wa a, ak Masyas, grefye a, te kenbe sou kontwòl Ananya, yonn nan gwo chèf wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:12 ============ 2Ch 26:12 The whole number of the chief of the fathers of the mighty men of valour were two thousand and six hundred.(KJV-1611) 2Ch 26:12 Te gen demil sisan chèf fanmi alatèt vanyan sòlda sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:13 ============ 2Ch 26:13 And under their hand was an army, three hundred thousand and seven thousand and five hundred, that made war with mighty power, to help the king against the enemy.(KJV-1611) 2Ch 26:13 Sou zòd yo te gen yon lame ak twasansètmil senksan sòlda toujou pare pou lagè. Yo te grannèg anpil, yo te toujou pare pou al goumen ak lènmi wa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:14 ============ 2Ch 26:14 And Uzziah prepared for them throughout all the host shields, and spears, and helmets, and habergeons, and bows, and slings to cast stones.(KJV-1611) 2Ch 26:14 Ozyas bay tout moun nan lame a plak pwotèj, frenn, kas pou tèt yo, rad an plak fè, banza ak flèch, ak wòch pou gwo fistibal.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:15 ============ 2Ch 26:15 And he made in Jerusalem engines, invented by cunning men, to be on the towers and upon the bulwarks, to shoot arrows and great stones withal. And his name spread far abroad; for he was marvellously helped, till he was strong.(KJV-1611) 2Ch 26:15 Nan lavil Jerizalèm, li te gen yon enjenyè ki t'ap fè tout kalite machin pou voye flèch ak gwo wòch. Li fè mete machin sa yo nan fò won yo ak nan kwen miray ranpa yo. Yo t'ap nonmen non Ozyas byen lwen, paske Bondye te sitèlman ede l' li te vin gen anpil pouvwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:16 ============ 2Ch 26:16 But when he was strong, his heart was lifted up to his destruction: for he transgressed against the LORD his God, and went into the temple of the LORD to burn incense upon the altar of incense.(KJV-1611) 2Ch 26:16 Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:17 ============ 2Ch 26:17 And Azariah the priest went in after him, and with him fourscore priests of the LORD, that were valiant men:(KJV-1611) 2Ch 26:17 Azarya, prèt la, antre dèyè l' ak katreven lòt prèt Seyè a, tout vanyan gason.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:18 ============ 2Ch 26:18 And they withstood Uzziah the king, and said unto him, It appertaineth not unto thee, Uzziah, to burn incense unto the LORD, but to the priests the sons of Aaron, that are consecrated to burn incense: go out of the sanctuary; for thou hast trespassed; neither shall it be for thine honour from the LORD God.(KJV-1611) 2Ch 26:18 Yo vin kanpe devan wa a, yo di l': -Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Seyè a. Se prèt yo ase, moun fanmi Arawon yo, yo mete apa pou fè sa. Wete kò ou kote yo mete apa nèt pou Seyè a. Paske sa w'ap fè a pa bon devan Bondye. Bondye p'ap kontan avè ou poutèt sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:19 ============ 2Ch 26:19 Then Uzziah was wroth, and had a censer in his hand to burn incense: and while he was wroth with the priests, the leprosy even rose up in his forehead before the priests in the house of the LORD, from beside the incense altar.(KJV-1611) 2Ch 26:19 Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:20 ============ 2Ch 26:20 And Azariah the chief priest, and all the priests, looked upon him, and, behold, he was leprous in his forehead, and they thrust him out from thence; yea, himself hasted also to go out, because the LORD had smitten him.(KJV-1611) 2Ch 26:20 Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:21 ============ 2Ch 26:21 And Uzziah the king was a leper unto the day of his death, and dwelt in a several house, being a leper; for he was cut off from the house of the LORD: and Jotham his son was over the king's house, judging the people of the land.(KJV-1611) 2Ch 26:21 Wa Ozyas rete ak maladi po a sou li jouk li mouri. Li te rete nan yon ti kay apa pou kont li, jan yo fè l' pou moun ki gen maladi sa a. Yo enpoze l' mete pye l' nan kay Seyè a. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki te reskonsab tout bagay nan palè a. Se li menm tou ki te gouvènen pèp la nan peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:22 ============ 2Ch 26:22 Now the rest of the acts of Uzziah, first and last, did Isaiah the prophet, the son of Amoz, write.(KJV-1611) 2Ch 26:22 Pwofèt Izayi, pitit Amòz la, te ekri tout rès istwa Ozyas la, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 26:23 ============ 2Ch 26:23 So Uzziah slept with his fathers, and they buried him with his fathers in the field of the burial which belonged to the kings; for they said, He is a leper: and Jotham his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 26:23 Lè Ozyas mouri, yo antere l' apa nan simityè wa yo. Poutèt vye maladi po li a, yo pa t' mete l' nan tonm wa yo. Se Jotam, pitit li a, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:1 ============ 2Ch 27:1 Jotham was twenty and five years old when he began to reign, and he reigned sixteen years in Jerusalem. His mother's name also was Jerushah, the daughter of Zadok.(KJV-1611) 2Ch 27:1 Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:2 ============ 2Ch 27:2 And he did that which was right in the sight of the LORD, according to all that his father Uzziah did: howbeit he entered not into the temple of the LORD. And the people did yet corruptly.(KJV-1611) 2Ch 27:2 Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:3 ============ 2Ch 27:3 He built the high gate of the house of the LORD, and on the wall of Ophel he built much.(KJV-1611) 2Ch 27:3 Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:4 ============ 2Ch 27:4 Moreover he built cities in the mountains of Judah, and in the forests he built castles and towers.(KJV-1611) 2Ch 27:4 Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:5 ============ 2Ch 27:5 He fought also with the king of the Ammonites, and prevailed against them. And the children of Ammon gave him the same year an hundred talents of silver, and ten thousand measures of wheat, and ten thousand of barley. So much did the children of Ammon pay unto him, both the second year, and the third.(KJV-1611) 2Ch 27:5 Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:6 ============ 2Ch 27:6 So Jotham became mighty, because he prepared his ways before the LORD his God.(KJV-1611) 2Ch 27:6 Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:7 ============ 2Ch 27:7 Now the rest of the acts of Jotham, and all his wars, and his ways, lo, they are written in the book of the kings of Israel and Judah.(KJV-1611) 2Ch 27:7 Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:8 ============ 2Ch 27:8 He was five and twenty years old when he began to reign, and reigned sixteen years in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 27:8 Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 27:9 ============ 2Ch 27:9 And Jotham slept with his fathers, and they buried him in the city of David: and Ahaz his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 27:9 Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:1 ============ 2Ch 28:1 Ahaz was twenty years old when he began to reign, and he reigned sixteen years in Jerusalem: but he did not that which was right in the sight of the LORD, like David his father:(KJV-1611) 2Ch 28:1 Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:2 ============ 2Ch 28:2 For he walked in the ways of the kings of Israel, and made also molten images for Baalim.(KJV-1611) 2Ch 28:2 Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:3 ============ 2Ch 28:3 Moreover he burnt incense in the valley of the son of Hinnom, and burnt his children in the fire, after the abominations of the heathen whom the LORD had cast out before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ch 28:3 Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:4 ============ 2Ch 28:4 He sacrificed also and burnt incense in the high places, and on the hills, and under every green tree.(KJV-1611) 2Ch 28:4 Li fè touye bèt, boule lansan nan tout tanp zidòl yo, sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:5 ============ 2Ch 28:5 Wherefore the LORD his God delivered him into the hand of the king of Syria; and they smote him, and carried away a great multitude of them captives, and brought them to Damascus. And he was also delivered into the hand of the king of Israel, who smote him with a great slaughter.(KJV-1611) 2Ch 28:5 Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:6 ============ 2Ch 28:6 For Pekah the son of Remaliah slew in Judah an hundred and twenty thousand in one day, which were all valiant men; because they had forsaken the LORD God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 28:6 Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:7 ============ 2Ch 28:7 And Zichri, a mighty man of Ephraim, slew Maaseiah the king's son, and Azrikam the governor of the house, and Elkanah that was next to the king.(KJV-1611) 2Ch 28:7 Zikri, yon vanyan sòlda peyi Efrayim, touye Maseja, pitit wa a, Azrikam, chèf palè a, ak Elkana, chèf ki vin apre wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:8 ============ 2Ch 28:8 And the children of Israel carried away captive of their brethren two hundred thousand, women, sons, and daughters, and took also away much spoil from them, and brought the spoil to Samaria.(KJV-1611) 2Ch 28:8 Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:9 ============ 2Ch 28:9 But a prophet of the LORD was there, whose name was Oded: and he went out before the host that came to Samaria, and said unto them, Behold, because the LORD God of your fathers was wroth with Judah, he hath delivered them into your hand, and ye have slain them in a rage that reacheth up unto heaven.(KJV-1611) 2Ch 28:9 Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:10 ============ 2Ch 28:10 And now ye purpose to keep under the children of Judah and Jerusalem for bondmen and bondwomen unto you: but are there not with you, even with you, sins against the LORD your God?(KJV-1611) 2Ch 28:10 Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:11 ============ 2Ch 28:11 Now hear me therefore, and deliver the captives again, which ye have taken captive of your brethren: for the fierce wrath of the LORD is upon you.(KJV-1611) 2Ch 28:11 Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Seyè a move koulye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:12 ============ 2Ch 28:12 Then certain of the heads of the children of Ephraim, Azariah the son of Johanan, Berechiah the son of Meshillemoth, and Jehizkiah the son of Shallum, and Amasa the son of Hadlai, stood up against them that came from the war,(KJV-1611) 2Ch 28:12 Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:13 ============ 2Ch 28:13 And said unto them, Ye shall not bring in the captives hither: for whereas we have offended against the LORD already, ye intend to add more to our sins and to our trespass: for our trespass is great, and there is fierce wrath against Israel.(KJV-1611) 2Ch 28:13 Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:14 ============ 2Ch 28:14 So the armed men left the captives and the spoil before the princes and all the congregation.(KJV-1611) 2Ch 28:14 Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:15 ============ 2Ch 28:15 And the men which were expressed by name rose up, and took the captives, and with the spoil clothed all that were naked among them, and arrayed them, and shod them, and gave them to eat and to drink, and anointed them, and carried all the feeble of them upon asses, and brought them to Jericho, the city of palm trees, to their brethren: then they returned to Samaria.(KJV-1611) 2Ch 28:15 Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:16 ============ 2Ch 28:16 At that time did king Ahaz send unto the kings of Assyria to help him.(KJV-1611) 2Ch 28:16 Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:17 ============ 2Ch 28:17 For again the Edomites had come and smitten Judah, and carried away captives.(KJV-1611) 2Ch 28:17 paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:18 ============ 2Ch 28:18 The Philistines also had invaded the cities of the low country, and of the south of Judah, and had taken Bethshemesh, and Ajalon, and Gederoth, and Shocho with the villages thereof, and Timnah with the villages thereof, Gimzo also and the villages thereof: and they dwelt there.(KJV-1611) 2Ch 28:18 Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:19 ============ 2Ch 28:19 For the LORD brought Judah low because of Ahaz king of Israel; for he made Judah naked, and transgressed sore against the LORD.(KJV-1611) 2Ch 28:19 Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:20 ============ 2Ch 28:20 And Tilgathpilneser king of Assyria came unto him, and distressed him, but strengthened him not.(KJV-1611) 2Ch 28:20 Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:21 ============ 2Ch 28:21 For Ahaz took away a portion out of the house of the LORD, and out of the house of the king, and of the princes, and gave it unto the king of Assyria: but he helped him not.(KJV-1611) 2Ch 28:21 Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:22 ============ 2Ch 28:22 And in the time of his distress did he trespass yet more against the LORD: this is that king Ahaz.(KJV-1611) 2Ch 28:22 Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:23 ============ 2Ch 28:23 For he sacrificed unto the gods of Damascus, which smote him: and he said, Because the gods of the kings of Syria help them, therefore will I sacrifice to them, that they may help me. But they were the ruin of him, and of all Israel.(KJV-1611) 2Ch 28:23 Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:24 ============ 2Ch 28:24 And Ahaz gathered together the vessels of the house of God, and cut in pieces the vessels of the house of God, and shut up the doors of the house of the LORD, and he made him altars in every corner of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 28:24 Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:25 ============ 2Ch 28:25 And in every several city of Judah he made high places to burn incense unto other gods, and provoked to anger the LORD God of his fathers.(KJV-1611) 2Ch 28:25 Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:26 ============ 2Ch 28:26 Now the rest of his acts and of all his ways, first and last, behold, they are written in the book of the kings of Judah and Israel.(KJV-1611) 2Ch 28:26 Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 28:27 ============ 2Ch 28:27 And Ahaz slept with his fathers, and they buried him in the city, even in Jerusalem: but they brought him not into the sepulchres of the kings of Israel: and Hezekiah his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 28:27 Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:1 ============ 2Ch 29:1 Hezekiah began to reign when he was five and twenty years old, and he reigned nine and twenty years in Jerusalem. And his mother's name was Abijah, the daughter of Zechariah.(KJV-1611) 2Ch 29:1 Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:2 ============ 2Ch 29:2 And he did that which was right in the sight of the LORD, according to all that David his father had done.(KJV-1611) 2Ch 29:2 Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:3 ============ 2Ch 29:3 He in the first year of his reign, in the first month, opened the doors of the house of the LORD, and repaired them.(KJV-1611) 2Ch 29:3 Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:4 ============ 2Ch 29:4 And he brought in the priests and the Levites, and gathered them together into the east street,(KJV-1611) 2Ch 29:4 Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:5 ============ 2Ch 29:5 And said unto them, Hear me, ye Levites, sanctify now yourselves, and sanctify the house of the LORD God of your fathers, and carry forth the filthiness out of the holy place.(KJV-1611) 2Ch 29:5 Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:6 ============ 2Ch 29:6 For our fathers have trespassed, and done that which was evil in the eyes of the LORD our God, and have forsaken him, and have turned away their faces from the habitation of the LORD, and turned their backs.(KJV-1611) 2Ch 29:6 Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:7 ============ 2Ch 29:7 Also they have shut up the doors of the porch, and put out the lamps, and have not burned incense nor offered burnt offerings in the holy place unto the God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 29:7 Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:8 ============ 2Ch 29:8 Wherefore the wrath of the LORD was upon Judah and Jerusalem, and he hath delivered them to trouble, to astonishment, and to hissing, as ye see with your eyes.(KJV-1611) 2Ch 29:8 Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:9 ============ 2Ch 29:9 For, lo, our fathers have fallen by the sword, and our sons and our daughters and our wives are in captivity for this.(KJV-1611) 2Ch 29:9 Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:10 ============ 2Ch 29:10 Now it is in mine heart to make a covenant with the LORD God of Israel, that his fierce wrath may turn away from us.(KJV-1611) 2Ch 29:10 Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:11 ============ 2Ch 29:11 My sons, be not now negligent: for the LORD hath chosen you to stand before him, to serve him, and that ye should minister unto him, and burn incense.(KJV-1611) 2Ch 29:11 Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:12 ============ 2Ch 29:12 Then the Levites arose, Mahath the son of Amasai, and Joel the son of Azariah, of the sons of the Kohathites: and of the sons of Merari, Kish the son of Abdi, and Azariah the son of Jehalelel: and of the Gershonites; Joah the son of Zimmah, and Eden the son of Joah:(KJV-1611) 2Ch 29:12 Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:13 ============ 2Ch 29:13 And of the sons of Elizaphan; Shimri, and Jeiel: and of the sons of Asaph; Zechariah, and Mattaniah:(KJV-1611) 2Ch 29:13 Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:14 ============ 2Ch 29:14 And of the sons of Heman; Jehiel, and Shimei: and of the sons of Jeduthun; Shemaiah, and Uzziel.(KJV-1611) 2Ch 29:14 Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:15 ============ 2Ch 29:15 And they gathered their brethren, and sanctified themselves, and came, according to the commandment of the king, by the words of the LORD, to cleanse the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 29:15 Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:16 ============ 2Ch 29:16 And the priests went into the inner part of the house of the LORD, to cleanse it, and brought out all the uncleanness that they found in the temple of the LORD into the court of the house of the LORD. And the Levites took it, to carry it out abroad into the brook Kidron.(KJV-1611) 2Ch 29:16 Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:17 ============ 2Ch 29:17 Now they began on the first day of the first month to sanctify, and on the eighth day of the month came they to the porch of the LORD: so they sanctified the house of the LORD in eight days; and in the sixteenth day of the first month they made an end.(KJV-1611) 2Ch 29:17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:18 ============ 2Ch 29:18 Then they went in to Hezekiah the king, and said, We have cleansed all the house of the LORD, and the altar of burnt offering, with all the vessels thereof, and the shewbread table, with all the vessels thereof.(KJV-1611) 2Ch 29:18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:19 ============ 2Ch 29:19 Moreover all the vessels, which king Ahaz in his reign did cast away in his transgression, have we prepared and sanctified, and, behold, they are before the altar of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 29:19 Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:20 ============ 2Ch 29:20 Then Hezekiah the king rose early, and gathered the rulers of the city, and went up to the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 29:20 Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:21 ============ 2Ch 29:21 And they brought seven bullocks, and seven rams, and seven lambs, and seven he goats, for a sin offering for the kingdom, and for the sanctuary, and for Judah. And he commanded the priests the sons of Aaron to offer them on the altar of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 29:21 Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:22 ============ 2Ch 29:22 So they killed the bullocks, and the priests received the blood, and sprinkled it on the altar: likewise, when they had killed the rams, they sprinkled the blood upon the altar: they killed also the lambs, and they sprinkled the blood upon the altar.(KJV-1611) 2Ch 29:22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:23 ============ 2Ch 29:23 And they brought forth the he goats for the sin offering before the king and the congregation; and they laid their hands upon them:(KJV-1611) 2Ch 29:23 Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:24 ============ 2Ch 29:24 And the priests killed them, and they made reconciliation with their blood upon the altar, to make an atonement for all Israel: for the king commanded that the burnt offering and the sin offering should be made for all Israel.(KJV-1611) 2Ch 29:24 Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:25 ============ 2Ch 29:25 And he set the Levites in the house of the LORD with cymbals, with psalteries, and with harps, according to the commandment of David, and of Gad the king's seer, and Nathan the prophet: for so was the commandment of the LORD by his prophets.(KJV-1611) 2Ch 29:25 Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:26 ============ 2Ch 29:26 And the Levites stood with the instruments of David, and the priests with the trumpets.(KJV-1611) 2Ch 29:26 Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:27 ============ 2Ch 29:27 And Hezekiah commanded to offer the burnt offering upon the altar. And when the burnt offering began, the song of the LORD began also with the trumpets, and with the instruments ordained by David king of Israel.(KJV-1611) 2Ch 29:27 Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:28 ============ 2Ch 29:28 And all the congregation worshipped, and the singers sang, and the trumpeters sounded: and all this continued until the burnt offering was finished.(KJV-1611) 2Ch 29:28 Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:29 ============ 2Ch 29:29 And when they had made an end of offering, the king and all that were present with him bowed themselves, and worshipped.(KJV-1611) 2Ch 29:29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:30 ============ 2Ch 29:30 Moreover Hezekiah the king and the princes commanded the Levites to sing praise unto the LORD with the words of David, and of Asaph the seer. And they sang praises with gladness, and they bowed their heads and worshipped.(KJV-1611) 2Ch 29:30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:31 ============ 2Ch 29:31 Then Hezekiah answered and said, Now ye have consecrated yourselves unto the LORD, come near and bring sacrifices and thank offerings into the house of the LORD. And the congregation brought in sacrifices and thank offerings; and as many as were of a free heart burnt offerings.(KJV-1611) 2Ch 29:31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:32 ============ 2Ch 29:32 And the number of the burnt offerings, which the congregation brought, was threescore and ten bullocks, an hundred rams, and two hundred lambs: all these were for a burnt offering to the LORD.(KJV-1611) 2Ch 29:32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:33 ============ 2Ch 29:33 And the consecrated things were six hundred oxen and three thousand sheep.(KJV-1611) 2Ch 29:33 Konsa tou, yo ofri sisan mouton pou yo touye pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:34 ============ 2Ch 29:34 But the priests were too few, so that they could not flay all the burnt offerings: wherefore their brethren the Levites did help them, till the work was ended, and until the other priests had sanctified themselves: for the Levites were more upright in heart to sanctify themselves than the priests.(KJV-1611) 2Ch 29:34 Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:35 ============ 2Ch 29:35 And also the burnt offerings were in abundance, with the fat of the peace offerings, and the drink offerings for every burnt offering. So the service of the house of the LORD was set in order.(KJV-1611) 2Ch 29:35 Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 29:36 ============ 2Ch 29:36 And Hezekiah rejoiced, and all the people, that God had prepared the people: for the thing was done suddenly.(KJV-1611) 2Ch 29:36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:1 ============ 2Ch 30:1 And Hezekiah sent to all Israel and Judah, and wrote letters also to Ephraim and Manasseh, that they should come to the house of the LORD at Jerusalem, to keep the passover unto the LORD God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 30:1 Ezekyas voye envite tout moun peyi Jida ak tout moun peyi Izrayèl yo. Li voye lèt bay branch fanmi Efrayim ak branch fanmi Manase yo. Li voye envite yo pou yo vin nan Tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, pou yo fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:2 ============ 2Ch 30:2 For the king had taken counsel, and his princes, and all the congregation in Jerusalem, to keep the passover in the second month.(KJV-1611) 2Ch 30:2 Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:3 ============ 2Ch 30:3 For they could not keep it at that time, because the priests had not sanctified themselves sufficiently, neither had the people gathered themselves together to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 30:3 Yo pa t' ka fè l' lè pou yo te fè l' la pou de rezon. Pou konmanse, pa t' ankò gen kont pret ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Lèfini, tout pep la pa t' reyini lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:4 ============ 2Ch 30:4 And the thing pleased the king and all the congregation.(KJV-1611) 2Ch 30:4 Ni wa a, ni pèp la te dakò se te yon bon lide pou yo te fè l' lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:5 ============ 2Ch 30:5 So they established a decree to make proclamation throughout all Israel, from Beersheba even to Dan, that they should come to keep the passover unto the LORD God of Israel at Jerusalem: for they had not done it of a long time in such sort as it was written.(KJV-1611) 2Ch 30:5 Se konsa yo pran desizyon voye envitasyon bay tout pèp Izrayèl la, depi lavil Becheba nan sid jouk lavil Dann nan nò, pou yo vini lavil Jerizalèm fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Paske anvan sa, tout moun yo pa t' konn vini nan fèt la jan Lalwa mande l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:6 ============ 2Ch 30:6 So the posts went with the letters from the king and his princes throughout all Israel and Judah, and according to the commandment of the king, saying, Ye children of Israel, turn again unto the LORD God of Abraham, Isaac, and Israel, and he will return to the remnant of you, that are escaped out of the hand of the kings of Assyria.(KJV-1611) 2Ch 30:6 Se konsa yo voye mesaje nan tout peyi Jida a ak nan tout peyi Izrayèl la avèk lèt wa a te siyen ansanm ak chèf li yo. Dapre lòd wa a te bay, men mesaj yo t'ap mache fè konnen: -Nou menm rès pèp Izrayèl la, nou menm ki te chape anba men wa peyi Lasiri yo lè yo te anvayi peyi a, tounen vin jwenn Seyè a, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl la, konsa l'a tounen vin jwenn nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:7 ============ 2Ch 30:7 And be not ye like your fathers, and like your brethren, which trespassed against the LORD God of their fathers, who therefore gave them up to desolation, as ye see.(KJV-1611) 2Ch 30:7 Piga nou fè tankou zansèt nou yo ak lòt frè parèy nou yo ki pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, Bondye yo a. Nou wè jan li te kite yo fini.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:8 ============ 2Ch 30:8 Now be ye not stiffnecked, as your fathers were, but yield yourselves unto the LORD, and enter into his sanctuary, which he hath sanctified for ever: and serve the LORD your God, that the fierceness of his wrath may turn away from you.(KJV-1611) 2Ch 30:8 Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:9 ============ 2Ch 30:9 For if ye turn again unto the LORD, your brethren and your children shall find compassion before them that lead them captive, so that they shall come again into this land: for the LORD your God is gracious and merciful, and will not turn away his face from you, if ye return unto him.(KJV-1611) 2Ch 30:9 Si nou tounen vin jwenn Seyè a, lènmi ki te fè moun menm fanmi ak nou yo ak pitit nou yo prizonye a va gen pitye pou yo, l'a kite yo tounen nan peyi yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun. Si nou tounen vin jwenn li, l'a louvri bra l' ban nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:10 ============ 2Ch 30:10 So the posts passed from city to city through the country of Ephraim and Manasseh even unto Zebulun: but they laughed them to scorn, and mocked them.(KJV-1611) 2Ch 30:10 Mesaje yo ale toupatou nan peyi moun Efrayim ak moun Manase yo, yo pase nan tout lavil yo, yo rive jouk nan peyi moun Zabilon yo. Men, moun t'ap ri yo, yo t'ap pase yo nan betiz.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:11 ============ 2Ch 30:11 Nevertheless divers of Asher and Manasseh and of Zebulun humbled themselves, and came to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 30:11 Tansèlman, te gen kèk moun nan branch fanmi Asè, nan branch fanmi Manase ak nan branch fanmi Zabilon ki rekonèt fòt yo epi ki moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:12 ============ 2Ch 30:12 Also in Judah the hand of God was to give them one heart to do the commandment of the king and of the princes, by the word of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 30:12 Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:13 ============ 2Ch 30:13 And there assembled at Jerusalem much people to keep the feast of unleavened bread in the second month, a very great congregation.(KJV-1611) 2Ch 30:13 Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:14 ============ 2Ch 30:14 And they arose and took away the altars that were in Jerusalem, and all the altars for incense took they away, and cast them into the brook Kidron.(KJV-1611) 2Ch 30:14 Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, yo al voye yo jete nan Fon Sedwon an.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:15 ============ 2Ch 30:15 Then they killed the passover on the fourteenth day of the second month: and the priests and the Levites were ashamed, and sanctified themselves, and brought in the burnt offerings into the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 30:15 Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:16 ============ 2Ch 30:16 And they stood in their place after their manner, according to the law of Moses the man of God: the priests sprinkled the blood, which they received of the hand of the Levites.(KJV-1611) 2Ch 30:16 Yo al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:17 ============ 2Ch 30:17 For there were many in the congregation that were not sanctified: therefore the Levites had the charge of the killing of the passovers for every one that was not clean, to sanctify them unto the LORD.(KJV-1611) 2Ch 30:17 Te gen anpil moun ki pa t' mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pa t' kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l' pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:18 ============ 2Ch 30:18 For a multitude of the people, even many of Ephraim, and Manasseh, Issachar, and Zebulun, had not cleansed themselves, yet did they eat the passover otherwise than it was written. But Hezekiah prayed for them, saying, The good LORD pardon every one(KJV-1611) 2Ch 30:18 Paske pifò moun ki te soti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pa t' fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: -O Seyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:19 ============ 2Ch 30:19 That prepareth his heart to seek God, the LORD God of his fathers, though he be not cleansed according to the purification of the sanctuary.(KJV-1611) 2Ch 30:19 tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:20 ============ 2Ch 30:20 And the LORD hearkened to Hezekiah, and healed the people.(KJV-1611) 2Ch 30:20 Seyè a tande lapriyè Ezekyas te fè a, li padonnen pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:21 ============ 2Ch 30:21 And the children of Israel that were present at Jerusalem kept the feast of unleavened bread seven days with great gladness: and the Levites and the priests praised the LORD day by day, singing with loud instruments unto the LORD.(KJV-1611) 2Ch 30:21 Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:22 ============ 2Ch 30:22 And Hezekiah spake comfortably unto all the Levites that taught the good knowledge of the LORD: and they did eat throughout the feast seven days, offering peace offerings, and making confession to the LORD God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 30:22 Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:23 ============ 2Ch 30:23 And the whole assembly took counsel to keep other seven days: and they kept other seven days with gladness.(KJV-1611) 2Ch 30:23 Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:24 ============ 2Ch 30:24 For Hezekiah king of Judah did give to the congregation a thousand bullocks and seven thousand sheep; and the princes gave to the congregation a thousand bullocks and ten thousand sheep: and a great number of priests sanctified themselves.(KJV-1611) 2Ch 30:24 Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:25 ============ 2Ch 30:25 And all the congregation of Judah, with the priests and the Levites, and all the congregation that came out of Israel, and the strangers that came out of the land of Israel, and that dwelt in Judah, rejoiced.(KJV-1611) 2Ch 30:25 Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te soti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:26 ============ 2Ch 30:26 So there was great joy in Jerusalem: for since the time of Solomon the son of David king of Israel there was not the like in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 30:26 Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t' janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 30:27 ============ 2Ch 30:27 Then the priests the Levites arose and blessed the people: and their voice was heard, and their prayer came up to his holy dwelling place, even unto heaven.(KJV-1611) 2Ch 30:27 Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:1 ============ 2Ch 31:1 Now when all this was finished, all Israel that were present went out to the cities of Judah, and brake the images in pieces, and cut down the groves, and threw down the high places and the altars out of all Judah and Benjamin, in Ephraim also and Manasseh, until they had utterly destroyed them all. Then all the children of Israel returned, every man to his possession, into their own cities.(KJV-1611) 2Ch 31:1 Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:2 ============ 2Ch 31:2 And Hezekiah appointed the courses of the priests and the Levites after their courses, every man according to his service, the priests and Levites for burnt offerings and for peace offerings, to minister, and to give thanks, and to praise in the gates of the tents of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 31:2 Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l' nan papòt Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:3 ============ 2Ch 31:3 He appointed also the king's portion of his substance for the burnt offerings, to wit, for the morning and evening burnt offerings, and the burnt offerings for the sabbaths, and for the new moons, and for the set feasts, as it is written in the law of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 31:3 Apre sa, li pran nan bèt ki pou li yo li bay pou yo boule nèt pou Seyè a chak maten, chak aswè, pou ofrann jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl ak pou lòt gwo jou fèt yo, jan sa ekri nan Lalwa Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:4 ============ 2Ch 31:4 Moreover he commanded the people that dwelt in Jerusalem to give the portion of the priests and the Levites, that they might be encouraged in the law of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 31:4 Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:5 ============ 2Ch 31:5 And as soon as the commandment came abroad, the children of Israel brought in abundance the firstfruits of corn, wine, and oil, and honey, and of all the increase of the field; and the tithe of all things brought they in abundantly.(KJV-1611) 2Ch 31:5 Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:6 ============ 2Ch 31:6 And concerning the children of Israel and Judah, that dwelt in the cities of Judah, they also brought in the tithe of oxen and sheep, and the tithe of holy things which were consecrated unto the LORD their God, and laid them by heaps.(KJV-1611) 2Ch 31:6 Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a. Yo pote yo fè pil sou pil.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:7 ============ 2Ch 31:7 In the third month they began to lay the foundation of the heaps, and finished them in the seventh month.(KJV-1611) 2Ch 31:7 Yo konmanse pote kado yo depi nan twazyèm mwa a rive sou setyèm mwa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:8 ============ 2Ch 31:8 And when Hezekiah and the princes came and saw the heaps, they blessed the LORD, and his people Israel.(KJV-1611) 2Ch 31:8 Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:9 ============ 2Ch 31:9 Then Hezekiah questioned with the priests and the Levites concerning the heaps.(KJV-1611) 2Ch 31:9 Lè sa a, Ezekyas pale ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo sou koze ofrann yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:10 ============ 2Ch 31:10 And Azariah the chief priest of the house of Zadok answered him, and said, Since the people began to bring the offerings into the house of the LORD, we have had enough to eat, and have left plenty: for the LORD hath blessed his people; and that which is left is this great store.(KJV-1611) 2Ch 31:10 Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:11 ============ 2Ch 31:11 Then Hezekiah commanded to prepare chambers in the house of the LORD; and they prepared them,(KJV-1611) 2Ch 31:11 Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:12 ============ 2Ch 31:12 And brought in the offerings and the tithes and the dedicated things faithfully: over which Cononiah the Levite was ruler, and Shimei his brother was the next.(KJV-1611) 2Ch 31:12 li fè mete tout sa yo te pran sou rekòt yo, tout ladim yo ak tout bagay yo te mete apa pou Bondye yo ladan yo. Yo mete Konanya, yon moun Levi, chèf reskonsab ak Chimèyi, frè li, pou adjwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:13 ============ 2Ch 31:13 And Jehiel, and Azaziah, and Nahath, and Asahel, and Jerimoth, and Jozabad, and Eliel, and Ismachiah, and Mahath, and Benaiah, were overseers under the hand of Cononiah and Shimei his brother, at the commandment of Hezekiah the king, and Azariah the ruler of the house of God.(KJV-1611) 2Ch 31:13 Yo chwazi dis moun pou travay sou lòd Konanya ak Chimèyi, frè li a, dapre lòd wa a ak Azarya, prèt reskonsab Tanp lan, te bay. Se te Jeiyèl, Azaryawou, Nakat, Asayèl, Jerimòt, Jozaba, Eliyèl, Jismakya, Makat ak Benaja.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:14 ============ 2Ch 31:14 And Kore the son of Imnah the Levite, the porter toward the east, was over the freewill offerings of God, to distribute the oblations of the LORD, and the most holy things.(KJV-1611) 2Ch 31:14 Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:15 ============ 2Ch 31:15 And next him were Eden, and Miniamin, and Jeshua, and Shemaiah, Amariah, and Shecaniah, in the cities of the priests, in their set office, to give to their brethren by courses, as well to the great as to the small:(KJV-1611) 2Ch 31:15 Nan lòt lavil kote prèt yo rete a, men moun ki te toujou la pou ede Kore: Se te Edèn, Menjamin, Jechwa, Chemaja, Amarya ak Chekanya. Se yo menm ki pou te separe manje a bay moun Levi parèy yo, gran kou piti, dapre travay yo gen pou fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:16 ============ 2Ch 31:16 Beside their genealogy of males, from three years old and upward, even unto every one that entereth into the house of the LORD, his daily portion for their service in their charges according to their courses;(KJV-1611) 2Ch 31:16 Non sèlman yo te bay tout moun Levi ki te gen non yo pote nan rejis fanmi yo, depi sa ki gen twazan laj pou pi piti, pòsyon manje pa yo, men yo te bay chak gwoup moun Levi ki te travay nan Tanp Seyè a chak jou, dapre jou travay yo ak dapre travay yo gen pou fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:17 ============ 2Ch 31:17 Both to the genealogy of the priests by the house of their fathers, and the Levites from twenty years old and upward, in their charges by their courses;(KJV-1611) 2Ch 31:17 Prèt yo te enskri dapre fanmi yo. Men moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti, te enskri dapre travay pou yo fè ak jou pou yo travay.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:18 ============ 2Ch 31:18 And to the genealogy of all their little ones, their wives, and their sons, and their daughters, through all the congregation: for in their set office they sanctified themselves in holiness:(KJV-1611) 2Ch 31:18 Yo tout te enskri ansanm ak pitit gason yo, pitit fi yo, madanm yo ak tout moun ki sou kont yo, pou yo te ka bay tout tan yo pou travay nan Tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:19 ============ 2Ch 31:19 Also of the sons of Aaron the priests, which were in the fields of the suburbs of their cities, in every several city, the men that were expressed by name, to give portions to all the males among the priests, and to all that were reckoned by genealogies among the Levites.(KJV-1611) 2Ch 31:19 Yo te chwazi moun tou pou mete reskonsab separe manje bay tout prèt yo, moun fanmi Arawon yo, ak moun Levi ki te enskri nan rejis yo epi ki t'ap viv andeyò nan vwazinaj lavil prèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:20 ============ 2Ch 31:20 And thus did Hezekiah throughout all Judah, and wrought that which was good and right and truth before the LORD his God.(KJV-1611) 2Ch 31:20 Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 31:21 ============ 2Ch 31:21 And in every work that he began in the service of the house of God, and in the law, and in the commandments, to seek his God, he did it with all his heart, and prospered.(KJV-1611) 2Ch 31:21 Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:1 ============ 2Ch 32:1 After these things, and the establishment thereof, Sennacherib king of Assyria came, and entered into Judah, and encamped against the fenced cities, and thought to win them for himself.(KJV-1611) 2Ch 32:1 Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo pou moutre jan li t'ap sèvi Bondye ak tout kè li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sènen tout lavil ak gwo ranpa yo avèk lide pou l' pran yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:2 ============ 2Ch 32:2 And when Hezekiah saw that Sennacherib was come, and that he was purposed to fight against Jerusalem,(KJV-1611) 2Ch 32:2 Lè Ezekyas wè Senakerib t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm ak lide pou l' atake l' tou,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:3 ============ 2Ch 32:3 He took counsel with his princes and his mighty men to stop the waters of the fountains which were without the city: and they did help him.(KJV-1611) 2Ch 32:3 li reyini tout otorite ak chèf lame l' yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:4 ============ 2Ch 32:4 So there was gathered much people together, who stopped all the fountains, and the brook that ran through the midst of the land, saying, Why should the kings of Assyria come, and find much water?(KJV-1611) 2Ch 32:4 Yon foul moun reyini vre, yo bouche tout sous dlo yo ansanm ak kannal anba tè ki te konn mennen dlo a byen lwen nan peyi a. Yo t'ap di yo p'ap kite wa peyi Lasiri yo jwenn anpil dlo lè y'a rive isit la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:5 ============ 2Ch 32:5 Also he strengthened himself, and built up all the wall that was broken, and raised it up to the towers, and another wall without, and repaired Millo in the city of David, and made darts and shields in abundance.(KJV-1611) 2Ch 32:5 Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:6 ============ 2Ch 32:6 And he set captains of war over the people, and gathered them together to him in the street of the gate of the city, and spake comfortably to them, saying,(KJV-1611) 2Ch 32:6 Li mete chèf lame alatèt pèp la, li reyini yo sou plas piblik ki bò pòtay lavil la. Li ankouraje yo, li di yo:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:7 ============ 2Ch 32:7 Be strong and courageous, be not afraid nor dismayed for the king of Assyria, nor for all the multitude that is with him: for there be more with us than with him:(KJV-1611) 2Ch 32:7 -Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avè l' la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:8 ============ 2Ch 32:8 With him is an arm of flesh; but with us is the LORD our God to help us, and to fight our battles. And the people rested themselves upon the words of Hezekiah king of Judah.(KJV-1611) 2Ch 32:8 Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:9 ============ 2Ch 32:9 After this did Sennacherib king of Assyria send his servants to Jerusalem, (but he himself laid siege against Lachish, and all his power with him,) unto Hezekiah king of Judah, and unto all Judah that were at Jerusalem, saying,(KJV-1611) 2Ch 32:9 Kèk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l' atake l'. Li voye kèk chèf bò kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bò kote tout pèp ki te lavil Jerizalèm lan avèk mesaj sa a:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:10 ============ 2Ch 32:10 Thus saith Sennacherib king of Assyria, Whereon do ye trust, that ye abide in the siege in Jerusalem?(KJV-1611) 2Ch 32:10 -Men sa Senakerib, wa peyi Lasiri a, voye di nou: Poukisa nou gen tout konfyans sa a, kifè nou rete nan lavil Jerizalèm ki sènen toupatou a?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:11 ============ 2Ch 32:11 Doth not Hezekiah persuade you to give over yourselves to die by famine and by thirst, saying, The LORD our God shall deliver us out of the hand of the king of Assyria?(KJV-1611) 2Ch 32:11 Lè Ezekyas di nou Seyè a, Bondye nou an, va delivre nou anba men wa peyi Lasiri a, se twonpe l'ap twonpe nou. Li pral kite nou mouri grangou ak swaf dlo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:12 ============ 2Ch 32:12 Hath not the same Hezekiah taken away his high places and his altars, and commanded Judah and Jerusalem, saying, Ye shall worship before one altar, and burn incense upon it?(KJV-1611) 2Ch 32:12 Apa Ezekyas menm ki te disparèt dènye lotèl ak dènye kote yo te konn fè sèvis pou Seyè a, lèfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo se devan yon sèl lotèl pou yo fè sèvis, pou yo boule lansan?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:13 ============ 2Ch 32:13 Know ye not what I and my fathers have done unto all the people of other lands? were the gods of the nations of those lands any ways able to deliver their lands out of mine hand?(KJV-1611) 2Ch 32:13 Se konnen nou pa konnen sa zansèt mwen yo ansanm avè m' nou te fè pèp lòt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:14 ============ 2Ch 32:14 Who was there among all the gods of those nations that my fathers utterly destroyed, that could deliver his people out of mine hand, that your God should be able to deliver you out of mine hand?(KJV-1611) 2Ch 32:14 Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'?(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:15 ============ 2Ch 32:15 Now therefore let not Hezekiah deceive you, nor persuade you on this manner, neither yet believe him: for no god of any nation or kingdom was able to deliver his people out of mine hand, and out of the hand of my fathers: how much less shall your God deliver you out of mine hand?(KJV-1611) 2Ch 32:15 Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l'! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:16 ============ 2Ch 32:16 And his servants spake yet more against the LORD God, and against his servant Hezekiah.(KJV-1611) 2Ch 32:16 Chèf lame Lasiri yo te pale pi mal toujou sou Bondye pèp Izrayèl la, Seyè a, ak sou Ezekyas, sèvitè l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:17 ============ 2Ch 32:17 He wrote also letters to rail on the LORD God of Israel, and to speak against him, saying, As the gods of the nations of other lands have not delivered their people out of mine hand, so shall not the God of Hezekiah deliver his people out of mine hand.(KJV-1611) 2Ch 32:17 Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:18 ============ 2Ch 32:18 Then they cried with a loud voice in the Jews' speech unto the people of Jerusalem that were on the wall, to affright them, and to trouble them; that they might take the city.(KJV-1611) 2Ch 32:18 Mesaje wa Lasiri yo t'ap pale byen fò nan lang ebre pou tout moun ki te sou miray lavil Jerizalèm yo te ka tande. Yo t'ap fè yo pè, yo t'ap fè yo pèdi kouraj pou yo te ka pran lavil la fasil.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:19 ============ 2Ch 32:19 And they spake against the God of Jerusalem, as against the gods of the people of the earth, which were the work of the hands of man.(KJV-1611) 2Ch 32:19 Yo t'ap pale sou Bondye lavil Jerizalèm lan tankou yo te konn pale sou bondye lòt nasyon yo ki yon bann estati moun fè ak men.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:20 ============ 2Ch 32:20 And for this cause Hezekiah the king, and the prophet Isaiah the son of Amoz, prayed and cried to heaven.(KJV-1611) 2Ch 32:20 Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:21 ============ 2Ch 32:21 And the LORD sent an angel, which cut off all the mighty men of valour, and the leaders and captains in the camp of the king of Assyria. So he returned with shame of face to his own land. And when he was come into the house of his god, they that came forth of his own bowels slew him there with the sword.(KJV-1611) 2Ch 32:21 Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:22 ============ 2Ch 32:22 Thus the LORD saved Hezekiah and the inhabitants of Jerusalem from the hand of Sennacherib the king of Assyria, and from the hand of all other, and guided them on every side.(KJV-1611) 2Ch 32:22 Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:23 ============ 2Ch 32:23 And many brought gifts unto the LORD to Jerusalem, and presents to Hezekiah king of Judah: so that he was magnified in the sight of all nations from thenceforth.(KJV-1611) 2Ch 32:23 Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:24 ============ 2Ch 32:24 In those days Hezekiah was sick to the death, and prayed unto the LORD: and he spake unto him, and he gave him a sign.(KJV-1611) 2Ch 32:24 Yon lè rive, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou mouri. Li lapriyè Seyè a. Seyè a reponn li, li fè l' wè yon mirak.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:25 ============ 2Ch 32:25 But Hezekiah rendered not again according to the benefit done unto him; for his heart was lifted up: therefore there was wrath upon him, and upon Judah and Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 32:25 Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:26 ============ 2Ch 32:26 Notwithstanding Hezekiah humbled himself for the pride of his heart, both he and the inhabitants of Jerusalem, so that the wrath of the LORD came not upon them in the days of Hezekiah.(KJV-1611) 2Ch 32:26 Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:27 ============ 2Ch 32:27 And Hezekiah had exceeding much riches and honour: and he made himself treasuries for silver, and for gold, and for precious stones, and for spices, and for shields, and for all manner of pleasant jewels;(KJV-1611) 2Ch 32:27 Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:28 ============ 2Ch 32:28 Storehouses also for the increase of corn, and wine, and oil; and stalls for all manner of beasts, and cotes for flocks.(KJV-1611) 2Ch 32:28 Li fè bati tou depo pou mete grenn manje, diven ak lwil oliv, kay pou tout bèt li yo ak pak pou mouton l' yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:29 ============ 2Ch 32:29 Moreover he provided him cities, and possessions of flocks and herds in abundance: for God had given him substance very much.(KJV-1611) 2Ch 32:29 Li fè bati kèk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bèf, paske Bondye te ba li anpil richès.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:30 ============ 2Ch 32:30 This same Hezekiah also stopped the upper watercourse of Gihon, and brought it straight down to the west side of the city of David. And Hezekiah prospered in all his works.(KJV-1611) 2Ch 32:30 Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fè l' pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:31 ============ 2Ch 32:31 Howbeit in the business of the ambassadors of the princes of Babylon, who sent unto him to enquire of the wonder that was done in the land, God left him, to try him, that he might know all that was in his heart.(KJV-1611) 2Ch 32:31 Se konsa, lè wa Babilòn yo te voye delege bò kote l' pou wè kalite mirak ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite l' pou kont li pou sonde l', pou l' te ka konnen sa ki te nan kè li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:32 ============ 2Ch 32:32 Now the rest of the acts of Hezekiah, and his goodness, behold, they are written in the vision of Isaiah the prophet, the son of Amoz, and in the book of the kings of Judah and Israel.(KJV-1611) 2Ch 32:32 Tout lòt bagay wa Ezekyas te fè yo, jan li te sevi Bondye nan tou sa li t'ap fè, tou sa ekri nan liv Vizyon pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, ak nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 32:33 ============ 2Ch 32:33 And Hezekiah slept with his fathers, and they buried him in the chiefest of the sepulchres of the sons of David: and all Judah and the inhabitants of Jerusalem did him honour at his death. And Manasseh his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 32:33 Lè Ezekyas mouri, yo antere l' nan yon chanm anwo nan kavo fanmi David yo. Lè l' mouri, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo fè bèl lantèman pou li. Se Manase, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:1 ============ 2Ch 33:1 Manasseh was twelve years old when he began to reign, and he reigned fifty and five years in Jerusalem:(KJV-1611) 2Ch 33:1 Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:2 ============ 2Ch 33:2 But did that which was evil in the sight of the LORD, like unto the abominations of the heathen, whom the LORD had cast out before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ch 33:2 Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:3 ============ 2Ch 33:3 For he built again the high places which Hezekiah his father had broken down, and he reared up altars for Baalim, and made groves, and worshipped all the host of heaven, and served them.(KJV-1611) 2Ch 33:3 Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:4 ============ 2Ch 33:4 Also he built altars in the house of the LORD, whereof the LORD had said, In Jerusalem shall my name be for ever.(KJV-1611) 2Ch 33:4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:5 ============ 2Ch 33:5 And he built altars for all the host of heaven in the two courts of the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 33:5 Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:6 ============ 2Ch 33:6 And he caused his children to pass through the fire in the valley of the son of Hinnom: also he observed times, and used enchantments, and used witchcraft, and dealt with a familiar spirit, and with wizards: he wrought much evil in the sight of the LORD, to provoke him to anger.(KJV-1611) 2Ch 33:6 Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:7 ============ 2Ch 33:7 And he set a carved image, the idol which he had made, in the house of God, of which God had said to David and to Solomon his son, In this house, and in Jerusalem, which I have chosen before all the tribes of Israel, will I put my name for ever:(KJV-1611) 2Ch 33:7 Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:8 ============ 2Ch 33:8 Neither will I any more remove the foot of Israel from out of the land which I have appointed for your fathers; so that they will take heed to do all that I have commanded them, according to the whole law and the statutes and the ordinances by the hand of Moses.(KJV-1611) 2Ch 33:8 Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:9 ============ 2Ch 33:9 So Manasseh made Judah and the inhabitants of Jerusalem to err, and to do worse than the heathen, whom the LORD had destroyed before the children of Israel.(KJV-1611) 2Ch 33:9 Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:10 ============ 2Ch 33:10 And the LORD spake to Manasseh, and to his people: but they would not hearken.(KJV-1611) 2Ch 33:10 Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:11 ============ 2Ch 33:11 Wherefore the LORD brought upon them the captains of the host of the king of Assyria, which took Manasseh among the thorns, and bound him with fetters, and carried him to Babylon.(KJV-1611) 2Ch 33:11 Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:12 ============ 2Ch 33:12 And when he was in affliction, he besought the LORD his God, and humbled himself greatly before the God of his fathers,(KJV-1611) 2Ch 33:12 Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:13 ============ 2Ch 33:13 And prayed unto him: and he was intreated of him, and heard his supplication, and brought him again to Jerusalem into his kingdom. Then Manasseh knew that the LORD he was God.(KJV-1611) 2Ch 33:13 Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:14 ============ 2Ch 33:14 Now after this he built a wall without the city of David, on the west side of Gihon, in the valley, even to the entering in at the fish gate, and compassed about Ophel, and raised it up a very great height, and put captains of war in all the fenced cities of Judah.(KJV-1611) 2Ch 33:14 Apre sa Manase bati yon miray byen wo sou deyò lavil David la, sou bò solèy kouche, bò sous Giyon an. Miray la pran depi nan ravin lan, li pase bò Pòtay Pwason yo, li fè wonn Ofèl la. Manase mete yon kòmandan nan tout lavil peyi Jida yo ki gen gwo ranpa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:15 ============ 2Ch 33:15 And he took away the strange gods, and the idol out of the house of the LORD, and all the altars that he had built in the mount of the house of the LORD, and in Jerusalem, and cast them out of the city.(KJV-1611) 2Ch 33:15 Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Seyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:16 ============ 2Ch 33:16 And he repaired the altar of the LORD, and sacrificed thereon peace offerings and thank offerings, and commanded Judah to serve the LORD God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 33:16 Li fè repare lotèl Seyè a, li fè ofrann pou mande Bondye padon ak pou di l' mèsi. Li mande pou tout moun nan peyi Jida a sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:17 ============ 2Ch 33:17 Nevertheless the people did sacrifice still in the high places, yet unto the LORD their God only.(KJV-1611) 2Ch 33:17 Pèp la te toujou ap ofri bèt pou yo touye lòt kote, men se te toujou pou Seyè a, Bondye yo a, ase.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:18 ============ 2Ch 33:18 Now the rest of the acts of Manasseh, and his prayer unto his God, and the words of the seers that spake to him in the name of the LORD God of Israel, behold, they are written in the book of the kings of Israel.(KJV-1611) 2Ch 33:18 Tout rès istwa Manase a, lapriyè li te fè nan pye Bondye li a, mesaj pwofèt yo te ba li nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, tou sa ekri nan Liv Istwa wa pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:19 ============ 2Ch 33:19 His prayer also, and how God was intreated of him, and all his sins, and his trespass, and the places wherein he built high places, and set up groves and graven images, before he was humbled: behold, they are written among the sayings of the seers.(KJV-1611) 2Ch 33:19 Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:20 ============ 2Ch 33:20 So Manasseh slept with his fathers, and they buried him in his own house: and Amon his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 33:20 Lè Manase mouri, yo antere l' nan jaden palè a. Se Amon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:21 ============ 2Ch 33:21 Amon was two and twenty years old when he began to reign, and reigned two years in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 33:21 Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan dezan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:22 ============ 2Ch 33:22 But he did that which was evil in the sight of the LORD, as did Manasseh his father: for Amon sacrificed unto all the carved images which Manasseh his father had made, and served them;(KJV-1611) 2Ch 33:22 Tankou Manase, papa l', li fè sa ki mal devan Seyè a. Li ofri bèt pou yo touye, li fè sèvis pou tout zidòl papa l' te fè fè yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:23 ============ 2Ch 33:23 And humbled not himself before the LORD, as Manasseh his father had humbled himself; but Amon trespassed more and more.(KJV-1611) 2Ch 33:23 Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:24 ============ 2Ch 33:24 And his servants conspired against him, and slew him in his own house.(KJV-1611) 2Ch 33:24 Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 33:25 ============ 2Ch 33:25 But the people of the land slew all them that had conspired against king Amon; and the people of the land made Josiah his son king in his stead.(KJV-1611) 2Ch 33:25 Moun peyi Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo. Yo mete Jozyas, pitit gason Amon an, wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:1 ============ 2Ch 34:1 Josiah was eight years old when he began to reign, and he reigned in Jerusalem one and thirty years.(KJV-1611) 2Ch 34:1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:2 ============ 2Ch 34:2 And he did that which was right in the sight of the LORD, and walked in the ways of David his father, and declined neither to the right hand, nor to the left.(KJV-1611) 2Ch 34:2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l' nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:3 ============ 2Ch 34:3 For in the eighth year of his reign, while he was yet young, he began to seek after the God of David his father: and in the twelfth year he began to purge Judah and Jerusalem from the high places, and the groves, and the carved images, and the molten images.(KJV-1611) 2Ch 34:3 Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:4 ============ 2Ch 34:4 And they brake down the altars of Baalim in his presence; and the images, that were on high above them, he cut down; and the groves, and the carved images, and the molten images, he brake in pieces, and made dust of them, and strowed it upon the graves of them that had sacrificed unto them.(KJV-1611) 2Ch 34:4 Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:5 ============ 2Ch 34:5 And he burnt the bones of the priests upon their altars, and cleansed Judah and Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 34:5 Li boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:6 ============ 2Ch 34:6 And so did he in the cities of Manasseh, and Ephraim, and Simeon, even unto Naphtali, with their mattocks round about.(KJV-1611) 2Ch 34:6 Li fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinaj yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:7 ============ 2Ch 34:7 And when he had broken down the altars and the groves, and had beaten the graven images into powder, and cut down all the idols throughout all the land of Israel, he returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 34:7 Nan tout peyi Izrayèl la, li fè demoli lotèl yo. Li kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo an miyèt moso, lèfini li tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:8 ============ 2Ch 34:8 Now in the eighteenth year of his reign, when he had purged the land, and the house, he sent Shaphan the son of Azaliah, and Maaseiah the governor of the city, and Joah the son of Joahaz the recorder, to repair the house of the LORD his God.(KJV-1611) 2Ch 34:8 Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:9 ============ 2Ch 34:9 And when they came to Hilkiah the high priest, they delivered the money that was brought into the house of God, which the Levites that kept the doors had gathered of the hand of Manasseh and Ephraim, and of all the remnant of Israel, and of all Judah and Benjamin; and they returned to Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 34:9 Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:10 ============ 2Ch 34:10 And they put it in the hand of the workmen that had the oversight of the house of the LORD, and they gave it to the workmen that wrought in the house of the LORD, to repair and amend the house:(KJV-1611) 2Ch 34:10 Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:11 ============ 2Ch 34:11 Even to the artificers and builders gave they it, to buy hewn stone, and timber for couplings, and to floor the houses which the kings of Judah had destroyed.(KJV-1611) 2Ch 34:11 bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:12 ============ 2Ch 34:12 And the men did the work faithfully: and the overseers of them were Jahath and Obadiah, the Levites, of the sons of Merari; and Zechariah and Meshullam, of the sons of the Kohathites, to set it forward; and other of the Levites, all that could skill of instruments of musick.(KJV-1611) 2Ch 34:12 Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:13 ============ 2Ch 34:13 Also they were over the bearers of burdens, and were overseers of all that wrought the work in any manner of service: and of the Levites there were scribes, and officers, and porters.(KJV-1611) 2Ch 34:13 te reskonsab moun ki t'ap bwote materyo yo ak tout lòt ouvriye ki t'ap fè lòt travay yo. Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab ekri istwa tou sa k'ap pase. Gen en ki te sekretè, genyen ki t'ap fè pòs nan papòt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:14 ============ 2Ch 34:14 And when they brought out the money that was brought into the house of the LORD, Hilkiah the priest found a book of the law of the LORD given by Moses.(KJV-1611) 2Ch 34:14 Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Seyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:15 ============ 2Ch 34:15 And Hilkiah answered and said to Shaphan the scribe, I have found the book of the law in the house of the LORD. And Hilkiah delivered the book to Shaphan.(KJV-1611) 2Ch 34:15 Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l' li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Seyè a. Epi li ba li l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:16 ============ 2Ch 34:16 And Shaphan carried the book to the king, and brought the king word back again, saying, All that was committed to thy servants, they do it.(KJV-1611) 2Ch 34:16 Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l' konsa: -Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:17 ============ 2Ch 34:17 And they have gathered together the money that was found in the house of the LORD, and have delivered it into the hand of the overseers, and to the hand of the workmen.(KJV-1611) 2Ch 34:17 Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Seyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:18 ============ 2Ch 34:18 Then Shaphan the scribe told the king, saying, Hilkiah the priest hath given me a book. And Shaphan read it before the king.(KJV-1611) 2Ch 34:18 Lèfini, Chafan di wa a: -Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv. Chafan li liv la pou wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:19 ============ 2Ch 34:19 And it came to pass, when the king had heard the words of the law, that he rent his clothes.(KJV-1611) 2Ch 34:19 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:20 ============ 2Ch 34:20 And the king commanded Hilkiah, and Ahikam the son of Shaphan, and Abdon the son of Micah, and Shaphan the scribe, and Asaiah a servant of the king's, saying,(KJV-1611) 2Ch 34:20 Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:21 ============ 2Ch 34:21 Go, enquire of the LORD for me, and for them that are left in Israel and in Judah, concerning the words of the book that is found: for great is the wrath of the LORD that is poured out upon us, because our fathers have not kept the word of the LORD, to do after all that is written in this book.(KJV-1611) 2Ch 34:21 -Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:22 ============ 2Ch 34:22 And Hilkiah, and they that the king had appointed, went to Huldah the prophetess, the wife of Shallum the son of Tikvath, the son of Hasrah, keeper of the wardrobe; (now she dwelt in Jerusalem in the college:) and they spake to her to that effect.(KJV-1611) 2Ch 34:22 Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:23 ============ 2Ch 34:23 And she answered them, Thus saith the LORD God of Israel, Tell ye the man that sent you to me,(KJV-1611) 2Ch 34:23 Oulda di yo konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:24 ============ 2Ch 34:24 Thus saith the LORD, Behold, I will bring evil upon this place, and upon the inhabitants thereof, even all the curses that are written in the book which they have read before the king of Judah:(KJV-1611) 2Ch 34:24 men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:25 ============ 2Ch 34:25 Because they have forsaken me, and have burned incense unto other gods, that they might provoke me to anger with all the works of their hands; therefore my wrath shall be poured out upon this place, and shall not be quenched.(KJV-1611) 2Ch 34:25 Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:26 ============ 2Ch 34:26 And as for the king of Judah, who sent you to enquire of the LORD, so shall ye say unto him, Thus saith the LORD God of Israel concerning the words which thou hast heard;(KJV-1611) 2Ch 34:26 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:27 ============ 2Ch 34:27 Because thine heart was tender, and thou didst humble thyself before God, when thou heardest his words against this place, and against the inhabitants thereof, and humbledst thyself before me, and didst rend thy clothes, and weep before me; I have even heard thee also, saith the LORD.(KJV-1611) 2Ch 34:27 Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:28 ============ 2Ch 34:28 Behold, I will gather thee to thy fathers, and thou shalt be gathered to thy grave in peace, neither shall thine eyes see all the evil that I will bring upon this place, and upon the inhabitants of the same. So they brought the king word again.(KJV-1611) 2Ch 34:28 Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:29 ============ 2Ch 34:29 Then the king sent and gathered together all the elders of Judah and Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 34:29 Lè sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:30 ============ 2Ch 34:30 And the king went up into the house of the LORD, and all the men of Judah, and the inhabitants of Jerusalem, and the priests, and the Levites, and all the people, great and small: and he read in their ears all the words of the book of the covenant that was found in the house of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 34:30 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:31 ============ 2Ch 34:31 And the king stood in his place, and made a covenant before the LORD, to walk after the LORD, and to keep his commandments, and his testimonies, and his statutes, with all his heart, and with all his soul, to perform the words of the covenant which are written in this book.(KJV-1611) 2Ch 34:31 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:32 ============ 2Ch 34:32 And he caused all that were present in Jerusalem and Benjamin to stand to it. And the inhabitants of Jerusalem did according to the covenant of God, the God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 34:32 Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 34:33 ============ 2Ch 34:33 And Josiah took away all the abominations out of all the countries that pertained to the children of Israel, and made all that were present in Israel to serve, even to serve the LORD their God. And all his days they departed not from following the LORD, the God of their fathers.(KJV-1611) 2Ch 34:33 Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:1 ============ 2Ch 35:1 Moreover Josiah kept a passover unto the LORD in Jerusalem: and they killed the passover on the fourteenth day of the first month.(KJV-1611) 2Ch 35:1 Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:2 ============ 2Ch 35:2 And he set the priests in their charges, and encouraged them to the service of the house of the LORD,(KJV-1611) 2Ch 35:2 Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l' byen.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:3 ============ 2Ch 35:3 And said unto the Levites that taught all Israel, which were holy unto the LORD, Put the holy ark in the house which Solomon the son of David king of Israel did build; it shall not be a burden upon your shoulders: serve now the LORD your God, and his people Israel,(KJV-1611) 2Ch 35:3 Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:4 ============ 2Ch 35:4 And prepare yourselves by the houses of your fathers, after your courses, according to the writing of David king of Israel, and according to the writing of Solomon his son.(KJV-1611) 2Ch 35:4 Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l' la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:5 ============ 2Ch 35:5 And stand in the holy place according to the divisions of the families of the fathers of your brethren the people, and after the division of the families of the Levites.(KJV-1611) 2Ch 35:5 N'a rete kote yo mete apa nèt pou Seyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:6 ============ 2Ch 35:6 So kill the passover, and sanctify yourselves, and prepare your brethren, that they may do according to the word of the LORD by the hand of Moses.(KJV-1611) 2Ch 35:6 Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:7 ============ 2Ch 35:7 And Josiah gave to the people, of the flock, lambs and kids, all for the passover offerings, for all that were present, to the number of thirty thousand, and three thousand bullocks: these were of the king's substance.(KJV-1611) 2Ch 35:7 Apre sa, Jozyas pran trantmil bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:8 ============ 2Ch 35:8 And his princes gave willingly unto the people, to the priests, and to the Levites: Hilkiah and Zechariah and Jehiel, rulers of the house of God, gave unto the priests for the passover offerings two thousand and six hundred small cattle and three hundred oxen.(KJV-1611) 2Ch 35:8 Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan bèf pou yo touye pou fèt la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:9 ============ 2Ch 35:9 Conaniah also, and Shemaiah and Nethaneel, his brethren, and Hashabiah and Jeiel and Jozabad, chief of the Levites, gave unto the Levites for passover offerings five thousand small cattle, and five hundred oxen.(KJV-1611) 2Ch 35:9 Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:10 ============ 2Ch 35:10 So the service was prepared, and the priests stood in their place, and the Levites in their courses, according to the king's commandment.(KJV-1611) 2Ch 35:10 Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:11 ============ 2Ch 35:11 And they killed the passover, and the priests sprinkled the blood from their hands, and the Levites flayed them.(KJV-1611) 2Ch 35:11 Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:12 ============ 2Ch 35:12 And they removed the burnt offerings, that they might give according to the divisions of the families of the people, to offer unto the LORD, as it is written in the book of Moses. And so did they with the oxen.(KJV-1611) 2Ch 35:12 Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:13 ============ 2Ch 35:13 And they roasted the passover with fire according to the ordinance: but the other holy offerings sod they in pots, and in caldrons, and in pans, and divided them speedily among all the people.(KJV-1611) 2Ch 35:13 Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l' la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:14 ============ 2Ch 35:14 And afterward they made ready for themselves, and for the priests: because the priests the sons of Aaron were busied in offering of burnt offerings and the fat until night; therefore the Levites prepared for themselves, and for the priests the sons of Aaron.(KJV-1611) 2Ch 35:14 Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:15 ============ 2Ch 35:15 And the singers the sons of Asaph were in their place, according to the commandment of David, and Asaph, and Heman, and Jeduthun the king's seer; and the porters waited at every gate; they might not depart from their service; for their brethren the Levites prepared for them.(KJV-1611) 2Ch 35:15 Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:16 ============ 2Ch 35:16 So all the service of the LORD was prepared the same day, to keep the passover, and to offer burnt offerings upon the altar of the LORD, according to the commandment of king Josiah.(KJV-1611) 2Ch 35:16 Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Seyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:17 ============ 2Ch 35:17 And the children of Israel that were present kept the passover at that time, and the feast of unleavened bread seven days.(KJV-1611) 2Ch 35:17 Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:18 ============ 2Ch 35:18 And there was no passover like to that kept in Israel from the days of Samuel the prophet; neither did all the kings of Israel keep such a passover as Josiah kept, and the priests, and the Levites, and all Judah and Israel that were present, and the inhabitants of Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 35:18 Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:19 ============ 2Ch 35:19 In the eighteenth year of the reign of Josiah was this passover kept.(KJV-1611) 2Ch 35:19 Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:20 ============ 2Ch 35:20 After all this, when Josiah had prepared the temple, Necho king of Egypt came up to fight against Charchemish by Euphrates: and Josiah went out against him.(KJV-1611) 2Ch 35:20 Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l' pou anpeche l' pase.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:21 ============ 2Ch 35:21 But he sent ambassadors to him, saying, What have I to do with thee, thou king of Judah? I come not against thee this day, but against the house wherewith I have war: for God commanded me to make haste: forbear thee from meddling with God, who is with me, that he destroy thee not.(KJV-1611) 2Ch 35:21 Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:22 ============ 2Ch 35:22 Nevertheless Josiah would not turn his face from him, but disguised himself, that he might fight with him, and hearkened not unto the words of Necho from the mouth of God, and came to fight in the valley of Megiddo.(KJV-1611) 2Ch 35:22 Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:23 ============ 2Ch 35:23 And the archers shot at king Josiah; and the king said to his servants, Have me away; for I am sore wounded.(KJV-1611) 2Ch 35:23 Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:24 ============ 2Ch 35:24 His servants therefore took him out of that chariot, and put him in the second chariot that he had; and they brought him to Jerusalem, and he died, and was buried in one of the sepulchres of his fathers. And all Judah and Jerusalem mourned for Josiah.(KJV-1611) 2Ch 35:24 Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:25 ============ 2Ch 35:25 And Jeremiah lamented for Josiah: and all the singing men and the singing women spake of Josiah in their lamentations to this day, and made them an ordinance in Israel: and, behold, they are written in the lamentations.(KJV-1611) 2Ch 35:25 Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:26 ============ 2Ch 35:26 Now the rest of the acts of Josiah, and his goodness, according to that which was written in the law of the LORD,(KJV-1611) 2Ch 35:26 Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Seyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Seyè a,(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 35:27 ============ 2Ch 35:27 And his deeds, first and last, behold, they are written in the book of the kings of Israel and Judah.(KJV-1611) 2Ch 35:27 wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:1 ============ 2Ch 36:1 Then the people of the land took Jehoahaz the son of Josiah, and made him king in his father's stead in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 36:1 Moun peyi Jida yo chwazi Joakaz, pitit gason Joas la, yo mete l' wa nan plas papa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:2 ============ 2Ch 36:2 Jehoahaz was twenty and three years old when he began to reign, and he reigned three months in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 36:2 Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:3 ============ 2Ch 36:3 And the king of Egypt put him down at Jerusalem, and condemned the land in an hundred talents of silver and a talent of gold.(KJV-1611) 2Ch 36:3 Neko, wa peyi Lejip la, mete l' atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan liv ajan ak swasannkenz liv lò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:4 ============ 2Ch 36:4 And the king of Egypt made Eliakim his brother king over Judah and Jerusalem, and turned his name to Jehoiakim. And Necho took Jehoahaz his brother, and carried him to Egypt.(KJV-1611) 2Ch 36:4 Apre sa, Neko pran Elyakim, frè Joakaz, li mete l' wa nan plas li. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:5 ============ 2Ch 36:5 Jehoiakim was twenty and five years old when he began to reign, and he reigned eleven years in Jerusalem: and he did that which was evil in the sight of the LORD his God.(KJV-1611) 2Ch 36:5 Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:6 ============ 2Ch 36:6 Against him came up Nebuchadnezzar king of Babylon, and bound him in fetters, to carry him to Babylon.(KJV-1611) 2Ch 36:6 Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:7 ============ 2Ch 36:7 Nebuchadnezzar also carried of the vessels of the house of the LORD to Babylon, and put them in his temple at Babylon.(KJV-1611) 2Ch 36:7 Nebikadneza pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Seyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l'.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:8 ============ 2Ch 36:8 Now the rest of the acts of Jehoiakim, and his abominations which he did, and that which was found in him, behold, they are written in the book of the kings of Israel and Judah: and Jehoiachin his son reigned in his stead.(KJV-1611) 2Ch 36:8 Tout rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:9 ============ 2Ch 36:9 Jehoiachin was eight years old when he began to reign, and he reigned three months and ten days in Jerusalem: and he did that which was evil in the sight of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 36:9 Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:10 ============ 2Ch 36:10 And when the year was expired, king Nebuchadnezzar sent, and brought him to Babylon, with the goodly vessels of the house of the LORD, and made Zedekiah his brother king over Judah and Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 36:10 Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:11 ============ 2Ch 36:11 Zedekiah was one and twenty years old when he began to reign, and reigned eleven years in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 36:11 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:12 ============ 2Ch 36:12 And he did that which was evil in the sight of the LORD his God, and humbled not himself before Jeremiah the prophet speaking from the mouth of the LORD.(KJV-1611) 2Ch 36:12 Li fè sa ki mal devan Seyè a, li pa t' soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:13 ============ 2Ch 36:13 And he also rebelled against king Nebuchadnezzar, who had made him swear by God: but he stiffened his neck, and hardened his heart from turning unto the LORD God of Israel.(KJV-1611) 2Ch 36:13 Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:14 ============ 2Ch 36:14 Moreover all the chief of the priests, and the people, transgressed very much after all the abominations of the heathen; and polluted the house of the LORD which he had hallowed in Jerusalem.(KJV-1611) 2Ch 36:14 Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:15 ============ 2Ch 36:15 And the LORD God of their fathers sent to them by his messengers, rising up betimes, and sending; because he had compassion on his people, and on his dwelling place:(KJV-1611) 2Ch 36:15 Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:16 ============ 2Ch 36:16 But they mocked the messengers of God, and despised his words, and misused his prophets, until the wrath of the LORD arose against his people, till there was no remedy.(KJV-1611) 2Ch 36:16 Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:17 ============ 2Ch 36:17 Therefore he brought upon them the king of the Chaldees, who slew their young men with the sword in the house of their sanctuary, and had no compassion upon young man or maiden, old man, or him that stooped for age: he gave them all into his hand.(KJV-1611) 2Ch 36:17 Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:18 ============ 2Ch 36:18 And all the vessels of the house of God, great and small, and the treasures of the house of the LORD, and the treasures of the king, and of his princes; all these he brought to Babylon.(KJV-1611) 2Ch 36:18 Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:19 ============ 2Ch 36:19 And they burnt the house of God, and brake down the wall of Jerusalem, and burnt all the palaces thereof with fire, and destroyed all the goodly vessels thereof.(KJV-1611) 2Ch 36:19 Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:20 ============ 2Ch 36:20 And them that had escaped from the sword carried he away to Babylon; where they were servants to him and his sons until the reign of the kingdom of Persia:(KJV-1611) 2Ch 36:20 Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:21 ============ 2Ch 36:21 To fulfil the word of the LORD by the mouth of Jeremiah, until the land had enjoyed her sabbaths: for as long as she lay desolate she kept sabbath, to fulfil threescore and ten years.(KJV-1611) 2Ch 36:21 Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:22 ============ 2Ch 36:22 Now in the first year of Cyrus king of Persia, that the word of the LORD spoken by the mouth of Jeremiah might be accomplished, the LORD stirred up the spirit of Cyrus king of Persia, that he made a proclamation throughout all his kingdom, and put it also in writing, saying,(KJV-1611) 2Ch 36:22 Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:(Creole-HT) ======= 2 Chronicles 36:23 ============ 2Ch 36:23 Thus saith Cyrus king of Persia, All the kingdoms of the earth hath the LORD God of heaven given me; and he hath charged me to build him an house in Jerusalem, which is in Judah. Who is there among you of all his people? The LORD his God be with him, and let him go up.(KJV-1611) 2Ch 36:23 -Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 1:1 ============ Eza 1:1 Now in the first year of Cyrus king of Persia, that the word of the LORD by the mouth of Jeremiah might be fulfilled, the LORD stirred up the spirit of Cyrus king of Persia, that he made a proclamation throughout all his kingdom, and put it also in writing, saying,(KJV-1611) Ezr 1:1 Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:(Creole-HT) ======= Ezra 1:2 ============ Eza 1:2 Thus saith Cyrus king of Persia, The LORD God of heaven hath given me all the kingdoms of the earth; and he hath charged me to build him an house at Jerusalem, which is in Judah.(KJV-1611) Ezr 1:2 -Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Ezra 1:3 ============ Eza 1:3 Who is there among you of all his people? his God be with him, and let him go up to Jerusalem, which is in Judah, and build the house of the LORD God of Israel, (he is the God,) which is in Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 1:3 Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Ezra 1:4 ============ Eza 1:4 And whosoever remaineth in any place where he sojourneth, let the men of his place help him with silver, and with gold, and with goods, and with beasts, beside the freewill offering for the house of God that is in Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 1:4 Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Ezra 1:5 ============ Eza 1:5 Then rose up the chief of the fathers of Judah and Benjamin, and the priests, and the Levites, with all them whose spirit God had raised, to go up to build the house of the LORD which is in Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 1:5 Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 1:6 ============ Eza 1:6 And all they that were about them strengthened their hands with vessels of silver, with gold, with goods, and with beasts, and with precious things, beside all that was willingly offered.(KJV-1611) Ezr 1:6 Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezra 1:7 ============ Eza 1:7 Also Cyrus the king brought forth the vessels of the house of the LORD, which Nebuchadnezzar had brought forth out of Jerusalem, and had put them in the house of his gods;(KJV-1611) Ezr 1:7 Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Ezra 1:8 ============ Eza 1:8 Even those did Cyrus king of Persia bring forth by the hand of Mithredath the treasurer, and numbered them unto Sheshbazzar, the prince of Judah.(KJV-1611) Ezr 1:8 Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Ezra 1:9 ============ Eza 1:9 And this is the number of them: thirty chargers of gold, a thousand chargers of silver, nine and twenty knives,(KJV-1611) Ezr 1:9 Men sa yo te jwenn: trant gwo bòl an lò pou mete ofrann mil gwo bòl an ajan pou mete ofrann ventnèf lòt gwo kouto(Creole-HT) ======= Ezra 1:10 ============ Eza 1:10 Thirty basons of gold, silver basons of a second sort four hundred and ten, and other vessels a thousand.(KJV-1611) Ezr 1:10 trant ti bòl an lò katsandis lòt kalite bagay.(Creole-HT) ======= Ezra 1:11 ============ Eza 1:11 All the vessels of gold and of silver were five thousand and four hundred. All these did Sheshbazzar bring up with them of the captivity that were brought up from Babylon unto Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 1:11 Antou, sa te fè senkmilkatsan divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 2:1 ============ Eza 2:1 Now these are the children of the province that went up out of the captivity, of those which had been carried away, whom Nebuchadnezzar the king of Babylon had carried away unto Babylon, and came again unto Jerusalem and Judah, every one unto his city;(KJV-1611) Ezr 2:1 Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Ezra 2:2 ============ Eza 2:2 Which came with Zerubbabel: Jeshua, Nehemiah, Seraiah, Reelaiah, Mordecai, Bilshan, Mizpar, Bigvai, Rehum, Baanah. The number of the men of the people of Israel:(KJV-1611) Ezr 2:2 Men moun ki te alatèt yo: Se te Zowobabèl, Jozye, Neemi, Seraja, Reelaja, Madoche, Bilchan, Mispa, Bigwayi, Reyoum ak Baana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak fanmi:(Creole-HT) ======= Ezra 2:3 ============ Eza 2:3 The children of Parosh, two thousand an hundred seventy and two.(KJV-1611) Ezr 2:3 Nan fanmi Pareòch yo, demilsanswasanndouz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:4 ============ Eza 2:4 The children of Shephatiah, three hundred seventy and two.(KJV-1611) Ezr 2:4 Nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:5 ============ Eza 2:5 The children of Arah, seven hundred seventy and five.(KJV-1611) Ezr 2:5 Nan fanmi Arak yo, sètsanswasannkenz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:6 ============ Eza 2:6 The children of Pahathmoab, of the children of Jeshua and Joab, two thousand eight hundred and twelve.(KJV-1611) Ezr 2:6 Nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demilwitsandouz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:7 ============ Eza 2:7 The children of Elam, a thousand two hundred fifty and four.(KJV-1611) Ezr 2:7 Nan fanmi Elam yo, mildesansenkannkat moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:8 ============ Eza 2:8 The children of Zattu, nine hundred forty and five.(KJV-1611) Ezr 2:8 Nan fanmi Zatou yo, nèfsankarannsenk moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:9 ============ Eza 2:9 The children of Zaccai, seven hundred and threescore.(KJV-1611) Ezr 2:9 Nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:10 ============ Eza 2:10 The children of Bani, six hundred forty and two.(KJV-1611) Ezr 2:10 Nan fanmi Bani yo, sisankarannde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:11 ============ Eza 2:11 The children of Bebai, six hundred twenty and three.(KJV-1611) Ezr 2:11 Nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:12 ============ Eza 2:12 The children of Azgad, a thousand two hundred twenty and two.(KJV-1611) Ezr 2:12 Nan fanmi Azgad yo, mildesanvennde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:13 ============ Eza 2:13 The children of Adonikam, six hundred sixty and six.(KJV-1611) Ezr 2:13 Nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsis moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:14 ============ Eza 2:14 The children of Bigvai, two thousand fifty and six.(KJV-1611) Ezr 2:14 Nan fanmi Bigwayi yo, demilsenkannsis moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:15 ============ Eza 2:15 The children of Adin, four hundred fifty and four.(KJV-1611) Ezr 2:15 Nan fanmi Aden yo, katsansenkannkat moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:16 ============ Eza 2:16 The children of Ater of Hezekiah, ninety and eight.(KJV-1611) Ezr 2:16 Nan fanmi Atè yo, (anvan sa Atè te rele Ezekyas) katrevendizwit moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:17 ============ Eza 2:17 The children of Bezai, three hundred twenty and three.(KJV-1611) Ezr 2:17 Nan fanmi Betzayi yo, twasanvenntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:18 ============ Eza 2:18 The children of Jorah, an hundred and twelve.(KJV-1611) Ezr 2:18 Nan fanmi Jora yo, sandouz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:19 ============ Eza 2:19 The children of Hashum, two hundred twenty and three.(KJV-1611) Ezr 2:19 Nan fanmi Achoum yo, desanvenntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:20 ============ Eza 2:20 The children of Gibbar, ninety and five.(KJV-1611) Ezr 2:20 Nan fanmi Giba yo, katrevenkenz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:21 ============ Eza 2:21 The children of Bethlehem, an hundred twenty and three.(KJV-1611) Ezr 2:21 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm, sanvenntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:22 ============ Eza 2:22 The men of Netophah, fifty and six.(KJV-1611) Ezr 2:22 Pou lavil Netofa, senkannsis moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:23 ============ Eza 2:23 The men of Anathoth, an hundred twenty and eight.(KJV-1611) Ezr 2:23 Pou lavil Anatòt, sanvenntwit moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:24 ============ Eza 2:24 The children of Azmaveth, forty and two.(KJV-1611) Ezr 2:24 Pou lavil Azmavèt, karannde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:25 ============ Eza 2:25 The children of Kirjatharim, Chephirah, and Beeroth, seven hundred and forty and three.(KJV-1611) Ezr 2:25 Pou lavil Kiriyat-Jearim ansanm ak pou lavil Kefera ak pou lavil Beewòt, sètsankaranntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:26 ============ Eza 2:26 The children of Ramah and Gaba, six hundred twenty and one.(KJV-1611) Ezr 2:26 Pou lavil Arama ak pou lavil Geba, sisanventeyen moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:27 ============ Eza 2:27 The men of Michmas, an hundred twenty and two.(KJV-1611) Ezr 2:27 Pou lavil Mikmas, sanvennde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:28 ============ Eza 2:28 The men of Bethel and Ai, two hundred twenty and three.(KJV-1611) Ezr 2:28 Pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, desanvenntwa moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:29 ============ Eza 2:29 The children of Nebo, fifty and two.(KJV-1611) Ezr 2:29 Pou lavil Nebo, senkannde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:30 ============ Eza 2:30 The children of Magbish, an hundred fifty and six.(KJV-1611) Ezr 2:30 Pou lavil Magbich, sansenkannsis moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:31 ============ Eza 2:31 The children of the other Elam, a thousand two hundred fifty and four.(KJV-1611) Ezr 2:31 Pou lòt lavil Elam lan, mildesansenkannkat moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:32 ============ Eza 2:32 The children of Harim, three hundred and twenty.(KJV-1611) Ezr 2:32 Pou lavil Arim, twasanven moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:33 ============ Eza 2:33 The children of Lod, Hadid, and Ono, seven hundred twenty and five.(KJV-1611) Ezr 2:33 Pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak lavil Ono, sètsanvennsenk moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:34 ============ Eza 2:34 The children of Jericho, three hundred forty and five.(KJV-1611) Ezr 2:34 Pou lavil Jeriko, twasankarannsenk moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:35 ============ Eza 2:35 The children of Senaah, three thousand and six hundred and thirty.(KJV-1611) Ezr 2:35 Pou lavil Senaa, twamilsisantrant moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:36 ============ Eza 2:36 The priests: the children of Jedaiah, of the house of Jeshua, nine hundred seventy and three.(KJV-1611) Ezr 2:36 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja, ki soti nan branch Jozye a, nèfsanswasanntrèz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:37 ============ Eza 2:37 The children of Immer, a thousand fifty and two.(KJV-1611) Ezr 2:37 Nan pitit Imè yo, milsenkannde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:38 ============ Eza 2:38 The children of Pashur, a thousand two hundred forty and seven.(KJV-1611) Ezr 2:38 Nan pitit Pachou yo, mildesankarannsèt moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:39 ============ Eza 2:39 The children of Harim, a thousand and seventeen.(KJV-1611) Ezr 2:39 Nan pitit Arim yo, mildisèt moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:40 ============ Eza 2:40 The Levites: the children of Jeshua and Kadmiel, of the children of Hodaviah, seventy and four.(KJV-1611) Ezr 2:40 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl, ki soti nan branch fanmi Odavya a, swasannkatòz moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:41 ============ Eza 2:41 The singers: the children of Asaph, an hundred twenty and eight.(KJV-1611) Ezr 2:41 Te gen sanvenntwit sanba ki konn chante ak fè mizik nan tanp lan ki te tounen. Yo soti nan branch fanmi Asaf.(Creole-HT) ======= Ezra 2:42 ============ Eza 2:42 The children of the porters: the children of Shallum, the children of Ater, the children of Talmon, the children of Akkub, the children of Hatita, the children of Shobai, in all an hundred thirty and nine.(KJV-1611) Ezr 2:42 Te gen santrantnèf moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan. Yo soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.(Creole-HT) ======= Ezra 2:43 ============ Eza 2:43 The Nethinims: the children of Ziha, the children of Hasupha, the children of Tabbaoth,(KJV-1611) Ezr 2:43 Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,(Creole-HT) ======= Ezra 2:44 ============ Eza 2:44 The children of Keros, the children of Siaha, the children of Padon,(KJV-1611) Ezr 2:44 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Siyaa ak moun fanmi Padon,(Creole-HT) ======= Ezra 2:45 ============ Eza 2:45 The children of Lebanah, the children of Hagabah, the children of Akkub,(KJV-1611) Ezr 2:45 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Akoub,(Creole-HT) ======= Ezra 2:46 ============ Eza 2:46 The children of Hagab, the children of Shalmai, the children of Hanan,(KJV-1611) Ezr 2:46 moun fanmi Agad, moun fanmi Chamlayi ak moun fanmi Anan,(Creole-HT) ======= Ezra 2:47 ============ Eza 2:47 The children of Giddel, the children of Gahar, the children of Reaiah,(KJV-1611) Ezr 2:47 moun fanmi Gidèl, moun fanmi Gaka ak moun fanmi Reaja,(Creole-HT) ======= Ezra 2:48 ============ Eza 2:48 The children of Rezin, the children of Nekoda, the children of Gazzam,(KJV-1611) Ezr 2:48 moun fanmi Rezen, moun fanmi Nekoda ak moun fanmi Gazam,(Creole-HT) ======= Ezra 2:49 ============ Eza 2:49 The children of Uzza, the children of Paseah, the children of Besai,(KJV-1611) Ezr 2:49 moun fanmi Ouza, moun fanmi Paseyak ak moun fanmi Besayi,(Creole-HT) ======= Ezra 2:50 ============ Eza 2:50 The children of Asnah, the children of Mehunim, the children of Nephusim,(KJV-1611) Ezr 2:50 moun fanmi Asna, moun fanmi Neounen ak moun fanmi Nefisim,(Creole-HT) ======= Ezra 2:51 ============ Eza 2:51 The children of Bakbuk, the children of Hakupha, the children of Harhur,(KJV-1611) Ezr 2:51 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,(Creole-HT) ======= Ezra 2:52 ============ Eza 2:52 The children of Bazluth, the children of Mehida, the children of Harsha,(KJV-1611) Ezr 2:52 moun fanmi Baslout, moun fanmi Mechisa ak moun fanmi Acha,(Creole-HT) ======= Ezra 2:53 ============ Eza 2:53 The children of Barkos, the children of Sisera, the children of Thamah,(KJV-1611) Ezr 2:53 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,(Creole-HT) ======= Ezra 2:54 ============ Eza 2:54 The children of Neziah, the children of Hatipha.(KJV-1611) Ezr 2:54 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.(Creole-HT) ======= Ezra 2:55 ============ Eza 2:55 The children of Solomon's servants: the children of Sotai, the children of Sophereth, the children of Peruda,(KJV-1611) Ezr 2:55 Men lis moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Pewouda,(Creole-HT) ======= Ezra 2:56 ============ Eza 2:56 The children of Jaalah, the children of Darkon, the children of Giddel,(KJV-1611) Ezr 2:56 moun fanmi Yaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,(Creole-HT) ======= Ezra 2:57 ============ Eza 2:57 The children of Shephatiah, the children of Hattil, the children of Pochereth of Zebaim, the children of Ami.(KJV-1611) Ezr 2:57 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt Azebayim ak moun fanmi Ami.(Creole-HT) ======= Ezra 2:58 ============ Eza 2:58 All the Nethinims, and the children of Solomon's servants, were three hundred ninety and two.(KJV-1611) Ezr 2:58 Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz .(Creole-HT) ======= Ezra 2:59 ============ Eza 2:59 And these were they which went up from Telmelah, Telharsa, Cherub, Addan, and Immer: but they could not shew their father's house, and their seed, whether they were of Israel:(KJV-1611) Ezr 2:59 Men, te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, lavil Imè ki te moun nan peyi Babilòn epi ki te moute ansanm ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou wè si yo te fè pati pèp Izrayèl la vre.(Creole-HT) ======= Ezra 2:60 ============ Eza 2:60 The children of Delaiah, the children of Tobiah, the children of Nekoda, six hundred fifty and two.(KJV-1611) Ezr 2:60 Se te pitit Delaya, pitit Tobija ak pitit Nekoda: antou sisansenkannde moun.(Creole-HT) ======= Ezra 2:61 ============ Eza 2:61 And of the children of the priests: the children of Habaiah, the children of Koz, the children of Barzillai; which took a wife of the daughters of Barzillai the Gileadite, and was called after their name:(KJV-1611) Ezr 2:61 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Abaya, moun fanmi Akòz ak moun fanmi Bazilayi. Zansèt Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.(Creole-HT) ======= Ezra 2:62 ============ Eza 2:62 These sought their register among those that were reckoned by genealogy, but they were not found: therefore were they, as polluted, put from the priesthood.(KJV-1611) Ezr 2:62 Sa ki pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo, yo pa t' asepte yo pou prèt.(Creole-HT) ======= Ezra 2:63 ============ Eza 2:63 And the Tirshatha said unto them, that they should not eat of the most holy things, till there stood up a priest with Urim and with Thummim.(KJV-1611) Ezr 2:63 Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye vle.(Creole-HT) ======= Ezra 2:64 ============ Eza 2:64 The whole congregation together was forty and two thousand three hundred and threescore,(KJV-1611) Ezr 2:64 Antou nèt, te gen karanndemil tousanswasant moun ki tounen nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezra 2:65 ============ Eza 2:65 Beside their servants and their maids, of whom there were seven thousand three hundred thirty and seven: and there were among them two hundred singing men and singing women.(KJV-1611) Ezr 2:65 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt gason ak fanm ki te konn fè misik ak chante.(Creole-HT) ======= Ezra 2:66 ============ Eza 2:66 Their horses were seven hundred thirty and six; their mules, two hundred forty and five;(KJV-1611) Ezr 2:66 Te gen sètsanswasannsis milèt,(Creole-HT) ======= Ezra 2:67 ============ Eza 2:67 Their camels, four hundred thirty and five; their asses, six thousand seven hundred and twenty.(KJV-1611) Ezr 2:67 katsantrannsenk chamo bourik.(Creole-HT) ======= Ezra 2:68 ============ Eza 2:68 And some of the chief of the fathers, when they came to the house of the LORD which is at Jerusalem, offered freely for the house of God to set it up in his place:(KJV-1611) Ezr 2:68 Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a.(Creole-HT) ======= Ezra 2:69 ============ Eza 2:69 They gave after their ability unto the treasure of the work threescore and one thousand drams of gold, and five thousand pound of silver, and one hundred priests' garments.(KJV-1611) Ezr 2:69 Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven gwo rad pou prèt yo mete sou yo.(Creole-HT) ======= Ezra 2:70 ============ Eza 2:70 So the priests, and the Levites, and some of the people, and the singers, and the porters, and the Nethinims, dwelt in their cities, and all Israel in their cities.(KJV-1611) Ezr 2:70 Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.(Creole-HT) ======= Ezra 3:1 ============ Eza 3:1 And when the seventh month was come, and the children of Israel were in the cities, the people gathered themselves together as one man to Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 3:1 Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 3:2 ============ Eza 3:2 Then stood up Jeshua the son of Jozadak, and his brethren the priests, and Zerubbabel the son of Shealtiel, and his brethren, and builded the altar of the God of Israel, to offer burnt offerings thereon, as it is written in the law of Moses the man of God.(KJV-1611) Ezr 3:2 Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:3 ============ Eza 3:3 And they set the altar upon his bases; for fear was upon them because of the people of those countries: and they offered burnt offerings thereon unto the LORD, even burnt offerings morning and evening.(KJV-1611) Ezr 3:3 Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè.(Creole-HT) ======= Ezra 3:4 ============ Eza 3:4 They kept also the feast of tabernacles, as it is written, and offered the daily burnt offerings by number, according to the custom, as the duty of every day required;(KJV-1611) Ezr 3:4 Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:5 ============ Eza 3:5 And afterward offered the continual burnt offering, both of the new moons, and of all the set feasts of the LORD that were consecrated, and of every one that willingly offered a freewill offering unto the LORD.(KJV-1611) Ezr 3:5 Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 3:6 ============ Eza 3:6 From the first day of the seventh month began they to offer burnt offerings unto the LORD. But the foundation of the temple of the LORD was not yet laid.(KJV-1611) Ezr 3:6 Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:7 ============ Eza 3:7 They gave money also unto the masons, and to the carpenters; and meat, and drink, and oil, unto them of Zidon, and to them of Tyre, to bring cedar trees from Lebanon to the sea of Joppa, according to the grant that they had of Cyrus king of Persia.(KJV-1611) Ezr 3:7 Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.(Creole-HT) ======= Ezra 3:8 ============ Eza 3:8 Now in the second year of their coming unto the house of God at Jerusalem, in the second month, began Zerubbabel the son of Shealtiel, and Jeshua the son of Jozadak, and the remnant of their brethren the priests and the Levites, and all they that were come out of the captivity unto Jerusalem; and appointed the Levites, from twenty years old and upward, to set forward the work of the house of the LORD.(KJV-1611) Ezr 3:8 Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:9 ============ Eza 3:9 Then stood Jeshua with his sons and his brethren, Kadmiel and his sons, the sons of Judah, together, to set forward the workmen in the house of God: the sons of Henadad, with their sons and their brethren the Levites.(KJV-1611) Ezr 3:9 Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:10 ============ Eza 3:10 And when the builders laid the foundation of the temple of the LORD, they set the priests in their apparel with trumpets, and the Levites the sons of Asaph with cymbals, to praise the LORD, after the ordinance of David king of Israel.(KJV-1611) Ezr 3:10 Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan.(Creole-HT) ======= Ezra 3:11 ============ Eza 3:11 And they sang together by course in praising and giving thanks unto the LORD; because he is good, for his mercy endureth for ever toward Israel. And all the people shouted with a great shout, when they praised the LORD, because the foundation of the house of the LORD was laid.(KJV-1611) Ezr 3:11 Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezra 3:12 ============ Eza 3:12 But many of the priests and Levites and chief of the fathers, who were ancient men, that had seen the first house, when the foundation of this house was laid before their eyes, wept with a loud voice; and many shouted aloud for joy:(KJV-1611) Ezr 3:12 Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.(Creole-HT) ======= Ezra 3:13 ============ Eza 3:13 So that the people could not discern the noise of the shout of joy from the noise of the weeping of the people: for the people shouted with a loud shout, and the noise was heard afar off.(KJV-1611) Ezr 3:13 Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.(Creole-HT) ======= Ezra 4:1 ============ Eza 4:1 Now when the adversaries of Judah and Benjamin heard that the children of the captivity builded the temple unto the LORD God of Israel;(KJV-1611) Ezr 4:1 Lènmi moun Jida yo ak lènmi moun Benjamen yo vin konnen moun ki te tounen soti nan kote yo te depòte yo a t'ap rebati yon kay pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 4:2 ============ Eza 4:2 Then they came to Zerubbabel, and to the chief of the fathers, and said unto them, Let us build with you: for we seek your God, as ye do; and we do sacrifice unto him since the days of Esarhaddon king of Assur, which brought us up hither.(KJV-1611) Ezr 4:2 Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.(Creole-HT) ======= Ezra 4:3 ============ Eza 4:3 But Zerubbabel, and Jeshua, and the rest of the chief of the fathers of Israel, said unto them, Ye have nothing to do with us to build an house unto our God; but we ourselves together will build unto the LORD God of Israel, as king Cyrus the king of Persia hath commanded us.(KJV-1611) Ezr 4:3 Zowobabèl, Jozye ak tout lòt chèf fanmi yo reponn yo: -Non mèsi! Nou pa bezwen konkou pesonn pou nou bati yon tanp pou Seyè a, Bondye nou an. N'a bati l' nou menm, pou kont nou ak men nou, jan Siris, wa peyi Pès la, te ban nou lòd fè a.(Creole-HT) ======= Ezra 4:4 ============ Eza 4:4 Then the people of the land weakened the hands of the people of Judah, and troubled them in building,(KJV-1611) Ezr 4:4 Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an.(Creole-HT) ======= Ezra 4:5 ============ Eza 4:5 And hired counsellors against them, to frustrate their purpose, all the days of Cyrus king of Persia, even until the reign of Darius king of Persia.(KJV-1611) Ezr 4:5 Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete.(Creole-HT) ======= Ezra 4:6 ============ Eza 4:6 And in the reign of Ahasuerus, in the beginning of his reign, wrote they unto him an accusation against the inhabitants of Judah and Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 4:6 Konsa tou, lè wa Zèsès te fenk pran pouvwa a, yo ekri yon lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 4:7 ============ Eza 4:7 And in the days of Artaxerxes wrote Bishlam, Mithredath, Tabeel, and the rest of their companions, unto Artaxerxes king of Persia; and the writing of the letter was written in the Syrian tongue, and interpreted in the Syrian tongue.(KJV-1611) Ezr 4:7 Sou rèy wa Atagzèsès, Bislam, Mitridat ak Tabeyèl mete tèt yo ansanm avèk kèk lòt kòlèg yo, yo ekri yon lèt plent voye bay Atagzesès, wa peyi Pès la, kont moun Jerizalèm yo. Lèt la te ekri nan lang arameyen, e se pou yo te tradwi l' lè yo t'ap li l'.(Creole-HT) ======= Ezra 4:8 ============ Eza 4:8 Rehum the chancellor and Shimshai the scribe wrote a letter against Jerusalem to Artaxerxes the king in this sort:(KJV-1611) Ezr 4:8 (Dokiman arameyen an konmanse isit la). Se konsa Reyoum, gouvènè a, ak Chimchayi, ki te sekretè pwovens la, ekri yon lèt bay wa Atagzèsès sou keksyon lavil Jerizalèm lan. Men ki jan lèt te pati:(Creole-HT) ======= Ezra 4:9 ============ Eza 4:9 Then wrote Rehum the chancellor, and Shimshai the scribe, and the rest of their companions; the Dinaites, the Apharsathchites, the Tarpelites, the Apharsites, the Archevites, the Babylonians, the Susanchites, the Dehavites, and the Elamites,(KJV-1611) Ezr 4:9 Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam,(Creole-HT) ======= Ezra 4:10 ============ Eza 4:10 And the rest of the nations whom the great and noble Asnapper brought over, and set in the cities of Samaria, and the rest that are on this side the river, and at such a time.(KJV-1611) Ezr 4:10 avèk chèf tout lòt pèp k'ap viv koulye a nan lavil peyi Samari yo ak nan rès pwovens ki bò solèy kouche larivyè Lefrat la. Se gran wa Asnapa, wa ki te fè tout moun respekte l' la, ki te depòte yo al fè yo viv kote yo ye koulye a.(Creole-HT) ======= Ezra 4:11 ============ Eza 4:11 This is the copy of the letter that they sent unto him, even unto Artaxerxes the king; Thy servants the men on this side the river, and at such a time.(KJV-1611) Ezr 4:11 Men kopi lèt yo te voye bay wa a. -Pou wa Atagzèsès. Se nou menm sèvitè ou yo, moun pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, k'ap voye di ou bonjou.(Creole-HT) ======= Ezra 4:12 ============ Eza 4:12 Be it known unto the king, that the Jews which came up from thee to us are come unto Jerusalem, building the rebellious and the bad city, and have set up the walls thereof, and joined the foundations.(KJV-1611) Ezr 4:12 Nou vle fè wa a konnen jwif yo soti nan tout teritwa ki sou lòd li yo, yo vini lavil Jerizalèm, epi y'ap rebati lavil sa a ki pa janm vle soumèt devan li epi ki toujou ap fè bagay ki mal. Y'ap travay pou rebati gwo miray ranpa lavil la, yo gen tan fini ak fondasyon an.(Creole-HT) ======= Ezra 4:13 ============ Eza 4:13 Be it known now unto the king, that, if this city be builded, and the walls set up again, then will they not pay toll, tribute, and custom, and so thou shalt endamage the revenue of the kings.(KJV-1611) Ezr 4:13 Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi.(Creole-HT) ======= Ezra 4:14 ============ Eza 4:14 Now because we have maintenance from the king's palace, and it was not meet for us to see the king's dishonour, therefore have we sent and certified the king;(KJV-1611) Ezr 4:14 Men, paske nou respekte kontra nou gen avè ou la, monwa, nou pa ka rete konsa ap gade moun yo ap kraze enterè wa a. Se poutèt sa nou voye fè wa a konn sa,(Creole-HT) ======= Ezra 4:15 ============ Eza 4:15 That search may be made in the book of the records of thy fathers: so shalt thou find in the book of the records, and know that this city is a rebellious city, and hurtful unto kings and provinces, and that they have moved sedition within the same of old time: for which cause was this city destroyed.(KJV-1611) Ezr 4:15 pou l' ka fè rechèch nan achiv zansèt li yo te kite. Nan ansyen dokiman sa yo, l'a jwenn sa yo te ekri sou lavil sa a. L'a konnen jan lavil sa a pa te janm vle soumèt devan yo, li te toujou pare pou revòlte. Se poutèt sa yo te detwi lavil sa a nèt.(Creole-HT) ======= Ezra 4:16 ============ Eza 4:16 We certify the king that, if this city be builded again, and the walls thereof set up, by this means thou shalt have no portion on this side the river.(KJV-1611) Ezr 4:16 Nou fè wa a konnen si yo rebati lavil sa a, si yo refè miray ranpa li yo, talè konsa wa a p'ap gen yon teritwa pou li ankò nan pwovens bò solèy kouche larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Ezra 4:17 ============ Eza 4:17 Then sent the king an answer unto Rehum the chancellor, and to Shimshai the scribe, and to the rest of their companions that dwell in Samaria, and unto the rest beyond the river, Peace, and at such a time.(KJV-1611) Ezr 4:17 Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.(Creole-HT) ======= Ezra 4:18 ============ Eza 4:18 The letter which ye sent unto us hath been plainly read before me.(KJV-1611) Ezr 4:18 Lèt nou te voye ban mwen an rive jwenn mwen. Yo tradwi l' mo pa mo pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezra 4:19 ============ Eza 4:19 And I commanded, and search hath been made, and it is found that this city of old time hath made insurrection against kings, and that rebellion and sedition have been made therein.(KJV-1611) Ezr 4:19 Mwen pase lòd pou yo fè rechèch nan achiv yo, epi yo jwenn lavil sa a, depi tout tan, te toujou derefize soumèt devan otorite wa yo. Se tout tan gen moun la k'ap revòlte, k'ap pran lèzam kont wa yo.(Creole-HT) ======= Ezra 4:20 ============ Eza 4:20 There have been mighty kings also over Jerusalem, which have ruled over all countries beyond the river; and toll, tribute, and custom, was paid unto them.(KJV-1611) Ezr 4:20 Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo.(Creole-HT) ======= Ezra 4:21 ============ Eza 4:21 Give ye now commandment to cause these men to cease, and that this city be not builded, until another commandment shall be given from me.(KJV-1611) Ezr 4:21 Se poutèt sa, nou mèt bay lòd pou yo rete travay mesye yo ap fè a: Pesonn p'ap gen dwa rebati lavil sa a toutotan mwen pa bay lòd pou sa.(Creole-HT) ======= Ezra 4:22 ============ Eza 4:22 Take heed now that ye fail not to do this: why should damage grow to the hurt of the kings?(KJV-1611) Ezr 4:22 Piga nou pote neglijans nan zafè sa a, pou kès wa a pa fè plis defisi pase sa.(Creole-HT) ======= Ezra 4:23 ============ Eza 4:23 Now when the copy of king Artaxerxes' letter was read before Rehum, and Shimshai the scribe, and their companions, they went up in haste to Jerusalem unto the Jews, and made them to cease by force and power.(KJV-1611) Ezr 4:23 Fini yo fini li lèt wa Atagzèsès la bay Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak lòt kòlèg yo nan gouvènman an, mesye yo leve, yo kouri lavil Jerizalèm al jwenn jwif yo, avèk zam nan men yo, yo fòse yo sispann travay la.(Creole-HT) ======= Ezra 4:24 ============ Eza 4:24 Then ceased the work of the house of God which is at Jerusalem. So it ceased unto the second year of the reign of Darius king of Persia.(KJV-1611) Ezr 4:24 Se konsa yo te rete travay tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Travay la rete bloke jouk dezyèm lanne rèy Dariyis, wa peyi Pès la.(Creole-HT) ======= Ezra 5:1 ============ Eza 5:1 Then the prophets, Haggai the prophet, and Zechariah the son of Iddo, prophesied unto the Jews that were in Judah and Jerusalem in the name of the God of Israel, even unto them.(KJV-1611) Ezr 5:1 Lè sa a, de pwofèt, Aje ak Zakari, pitit gason Ido a, tanmen bay mesaj ki soti nan Bondye pèp Izrayèl la, pou jwif ki rete nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Ezra 5:2 ============ Eza 5:2 Then rose up Zerubbabel the son of Shealtiel, and Jeshua the son of Jozadak, and began to build the house of God which is at Jerusalem: and with them were the prophets of God helping them.(KJV-1611) Ezr 5:2 Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.(Creole-HT) ======= Ezra 5:3 ============ Eza 5:3 At the same time came to them Tatnai, governor on this side the river, and Shetharboznai and their companions, and said thus unto them, Who hath commanded you to build this house, and to make up this wall?(KJV-1611) Ezr 5:3 Lè sa a, Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt anplwaye gouvènman parèy yo, moute lavil Jerizalèm, yo mande jwif yo: -Ki moun ki ban nou otorizasyon rebati tanp sa a pou nou mete lotèl ladan l'?(Creole-HT) ======= Ezra 5:4 ============ Eza 5:4 Then said we unto them after this manner, What are the names of the men that make this building?(KJV-1611) Ezr 5:4 Apre sa, yo mande yo ankò: -Eske nou ka ban nou non tout moun k'ap travay sou chantye sa a?(Creole-HT) ======= Ezra 5:5 ============ Eza 5:5 But the eye of their God was upon the elders of the Jews, that they could not cause them to cease, till the matter came to Darius: and then they returned answer by letter concerning this matter.(KJV-1611) Ezr 5:5 Men Bondye t'ap veye chèf fanmi jwif yo pou anyen pa t' rive yo. Se konsa, chèf gouvènman yo pa t' rete travay la. Men, yo voye yon rapò bay wa Dariyis, epi yo tann repons li anvan yo pran okenn desizyon sou zafè sa a.(Creole-HT) ======= Ezra 5:6 ============ Eza 5:6 The copy of the letter that Tatnai, governor on this side the river, and Shetharboznai and his companions the Apharsachites, which were on this side the river, sent unto Darius the king:(KJV-1611) Ezr 5:6 Men kopi rapò Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kòlèg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis.(Creole-HT) ======= Ezra 5:7 ============ Eza 5:7 They sent a letter unto him, wherein was written thus; Unto Darius the king, all peace.(KJV-1611) Ezr 5:7 Men sa yo te voye di l' nan rapò a: -Nou voye bonjou pou Wa Dariyis! Kè poze pou ou nan tou sa w'ap fè!(Creole-HT) ======= Ezra 5:8 ============ Eza 5:8 Be it known unto the king, that we went into the province of Judea, to the house of the great God, which is builded with great stones, and timber is laid in the walls, and this work goeth fast on, and prospereth in their hands.(KJV-1611) Ezr 5:8 Se devwa nou pou nou fè wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati tanp Bondye ki gen pouvwa a, avèk gwo blòk wòch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fè bon travay, travay la ap mache byen.(Creole-HT) ======= Ezra 5:9 ============ Eza 5:9 Then asked we those elders, and said unto them thus, Who commanded you to build this house, and to make up these walls?(KJV-1611) Ezr 5:9 Nou pale ak chèf fanmi yo, nou mande yo ki moun ki te ba yo otorizasyon bati tanp lan, ak otorizasyon mete lotèl ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezra 5:10 ============ Eza 5:10 We asked their names also, to certify thee, that we might write the names of the men that were the chief of them.(KJV-1611) Ezr 5:10 Nou te mande yo tou pou yo ban nou non yo pou n' te ka fè ou konnen ki chèf ki te alatèt moun sa yo.(Creole-HT) ======= Ezra 5:11 ============ Eza 5:11 And thus they returned us answer, saying, We are the servants of the God of heaven and earth, and build the house that was builded these many years ago, which a great king of Israel builded and set up.(KJV-1611) Ezr 5:11 Men sa yo reponn nou: Yo menm, se sèvitè Bondye ki kreye syèl la ak latè a yo ye. Y'ap rebati yon tanp yon gran wa peyi Izrayèl la te bati nan tan lontan kite pou yo.(Creole-HT) ======= Ezra 5:12 ============ Eza 5:12 But after that our fathers had provoked the God of heaven unto wrath, he gave them into the hand of Nebuchadnezzar the king of Babylon, the Chaldean, who destroyed this house, and carried the people away into Babylon.(KJV-1611) Ezr 5:12 Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nèbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Ezra 5:13 ============ Eza 5:13 But in the first year of Cyrus the king of Babylon the same king Cyrus made a decree to build this house of God.(KJV-1611) Ezr 5:13 Koulye a, yo pretann di Siris, wa Babilòn lan, pa t' ankò fin gen ennan depi li t'ap gouvènen lè li ba yo otorizasyon pou yo rebati tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezra 5:14 ============ Eza 5:14 And the vessels also of gold and silver of the house of God, which Nebuchadnezzar took out of the temple that was in Jerusalem, and brought them into the temple of Babylon, those did Cyrus the king take out of the temple of Babylon, and they were delivered unto one, whose name was Sheshbazzar, whom he had made governor;(KJV-1611) Ezr 5:14 Yo di ankò: Nèbikadneza te pran tout veso an lò ak an ajan ki te nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm, li te fè pote yo lavil Babilòn mete nan tanp lavil sa a. Men, wa Siri a fè wete tout veso sa yo nan tanp Babilòn lan, li renmèt yo bay yon nonm yo te rele Chechbaza. Se nonm sa a li te mete chèf nan pwovens Jida a.(Creole-HT) ======= Ezra 5:15 ============ Eza 5:15 And said unto him, Take these vessels, go, carry them into the temple that is in Jerusalem, and let the house of God be builded in his place.(KJV-1611) Ezr 5:15 Wa a te di l': Pran veso sa yo, al pote yo tounen nan tanp ki lavil Jerizalèm lan, epi rebati tanp Bondye a sou menm anplasman kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Ezra 5:16 ============ Eza 5:16 Then came the same Sheshbazzar, and laid the foundation of the house of God which is in Jerusalem: and since that time even until now hath it been in building, and yet it is not finished.(KJV-1611) Ezr 5:16 Se konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, travay la ap mache, men yo poko fini.(Creole-HT) ======= Ezra 5:17 ============ Eza 5:17 Now therefore, if it seem good to the king, let there be search made in the king's treasure house, which is there at Babylon, whether it be so, that a decree was made of Cyrus the king to build this house of God at Jerusalem, and let the king send his pleasure to us concerning this matter.(KJV-1611) Ezr 5:17 Koulye a menm, si wa a ta vle, li ta ka mande yo chache nan achiv wa yo lavil Babilòn, pou wè si tout bon vre, wa Siris te ba yo otorizasyon rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Apre sa, y'a fè nou konnen desizyon wa a sou zafè sa a.(Creole-HT) ======= Ezra 6:1 ============ Eza 6:1 Then Darius the king made a decree, and search was made in the house of the rolls, where the treasures were laid up in Babylon.(KJV-1611) Ezr 6:1 Se konsa wa Dariyis bay lòd pou yo fè chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezò yo nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Ezra 6:2 ============ Eza 6:2 And there was found at Achmetha, in the palace that is in the province of the Medes, a roll, and therein was a record thus written:(KJV-1611) Ezr 6:2 Epi yo jwenn yon woulo papye nan fò Achmeta, yon fòtrès ki te nan pwovens Medi a. Men sa ki te ekri nan woulo papye a:(Creole-HT) ======= Ezra 6:3 ============ Eza 6:3 In the first year of Cyrus the king the same Cyrus the king made a decree concerning the house of God at Jerusalem, Let the house be builded, the place where they offered sacrifices, and let the foundations thereof be strongly laid; the height thereof threescore cubits, and the breadth thereof threescore cubits;(KJV-1611) Ezr 6:3 -Nan premye lanne rèy li, wa Siris te bay lòd sa a sou tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm: Se pou yo rebati tanp lan pou l' ka sèvi kote yo ka touye bèt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mèt wotè, trant mèt lajè.(Creole-HT) ======= Ezra 6:4 ============ Eza 6:4 With three rows of great stones, and a row of new timber: and let the expenses be given out of the king's house:(KJV-1611) Ezr 6:4 Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.(Creole-HT) ======= Ezra 6:5 ============ Eza 6:5 And also let the golden and silver vessels of the house of God, which Nebuchadnezzar took forth out of the temple which is at Jerusalem, and brought unto Babylon, be restored, and brought again unto the temple which is at Jerusalem, every one to his place, and place them in the house of God.(KJV-1611) Ezr 6:5 Konsa tou, y'a renmèt yo tout veso an lò ak an ajan Nèbikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm pou l' te pote isit lavil Babilòn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 6:6 ============ Eza 6:6 Now therefore, Tatnai, governor beyond the river, Shetharboznai, and your companions the Apharsachites, which are beyond the river, be ye far from thence:(KJV-1611) Ezr 6:6 Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: -Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezra 6:7 ============ Eza 6:7 Let the work of this house of God alone; let the governor of the Jews and the elders of the Jews build this house of God in his place.(KJV-1611) Ezr 6:7 Kite yo travay nan tanp Bondye a. Se pou gouvènè pèyi Jida a ak chèf fanmi yo rebati tanp lan sou menm anplasman kote l' te ye anvan an.(Creole-HT) ======= Ezra 6:8 ============ Eza 6:8 Moreover I make a decree what ye shall do to the elders of these Jews for the building of this house of God: that of the king's goods, even of the tribute beyond the river, forthwith expenses be given unto these men, that they be not hindered.(KJV-1611) Ezr 6:8 Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete.(Creole-HT) ======= Ezra 6:9 ============ Eza 6:9 And that which they have need of, both young bullocks, and rams, and lambs, for the burnt offerings of the God of heaven, wheat, salt, wine, and oil, according to the appointment of the priests which are at Jerusalem, let it be given them day by day without fail:(KJV-1611) Ezr 6:9 N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Seyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa.(Creole-HT) ======= Ezra 6:10 ============ Eza 6:10 That they may offer sacrifices of sweet savours unto the God of heaven, and pray for the life of the king, and of his sons.(KJV-1611) Ezr 6:10 Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Seyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo.(Creole-HT) ======= Ezra 6:11 ============ Eza 6:11 Also I have made a decree, that whosoever shall alter this word, let timber be pulled down from his house, and being set up, let him be hanged thereon; and let his house be made a dunghill for this.(KJV-1611) Ezr 6:11 Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l' tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a.(Creole-HT) ======= Ezra 6:12 ============ Eza 6:12 And the God that hath caused his name to dwell there destroy all kings and people, that shall put to their hand to alter and to destroy this house of God which is at Jerusalem. I Darius have made a decree; let it be done with speed.(KJV-1611) Ezr 6:12 Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete.(Creole-HT) ======= Ezra 6:13 ============ Eza 6:13 Then Tatnai, governor on this side the river, Shetharboznai, and their companions, according to that which Darius the king had sent, so they did speedily.(KJV-1611) Ezr 6:13 Tatenayi, gouvènè pwovens ki lòt bò larivyè Efrat la, Cheta-Boznayi ak lòt chèf yo fè sa wa Dariyis te bay lòd fè a san wete san mete.(Creole-HT) ======= Ezra 6:14 ============ Eza 6:14 And the elders of the Jews builded, and they prospered through the prophesying of Haggai the prophet and Zechariah the son of Iddo. And they builded, and finished it, according to the commandment of the God of Israel, and according to the commandment of Cyrus, and Darius, and Artaxerxes king of Persia.(KJV-1611) Ezr 6:14 Chèf fanmi jwif yo menm rebati tanp lan san pwoblèm, avèk ankourajman Aje, pwofèt Bondye a, ak Zakari, pitit gason Ido a, t'ap ba yo ak mesaj Bondye yo. Se konsa yo fin rebati tanp lan jan Bondye pèp Izrayèl la te ba yo lòd la, ak jan Dariyis, Siris ak Atagzèsès, tou twa wa peyi Pès la, te ba yo lòd la tou.(Creole-HT) ======= Ezra 6:15 ============ Eza 6:15 And this house was finished on the third day of the month Adar, which was in the sixth year of the reign of Darius the king.(KJV-1611) Ezr 6:15 Travay la fini sou twazyèm jou nan mwa Ada a, nan sizyèm lanne rèy wa Dariyis.(Creole-HT) ======= Ezra 6:16 ============ Eza 6:16 And the children of Israel, the priests, and the Levites, and the rest of the children of the captivity, kept the dedication of this house of God with joy.(KJV-1611) Ezr 6:16 Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Ezra 6:17 ============ Eza 6:17 And offered at the dedication of this house of God an hundred bullocks, two hundred rams, four hundred lambs; and for a sin offering for all Israel, twelve he goats, according to the number of the tribes of Israel.(KJV-1611) Ezr 6:17 Yo ofri san ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.(Creole-HT) ======= Ezra 6:18 ============ Eza 6:18 And they set the priests in their divisions, and the Levites in their courses, for the service of God, which is at Jerusalem; as it is written in the book of Moses.(KJV-1611) Ezr 6:18 Apre sa, yo òganize sèvis tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Yo separe prèt yo an divès kategori, yo separe moun Levi yo an divès klas, chak gwoup ak travay pa yo pou yo fè, jan sa ekri nan liv Moyiz la.(Creole-HT) ======= Ezra 6:19 ============ Eza 6:19 And the children of the captivity kept the passover upon the fourteenth day of the first month.(KJV-1611) Ezr 6:19 Katòzyèm jou mwa Nisan an, nan lanne senksankenz , jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a fete fèt Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Ezra 6:20 ============ Eza 6:20 For the priests and the Levites were purified together, all of them were pure, and killed the passover for all the children of the captivity, and for their brethren the priests, and for themselves.(KJV-1611) Ezr 6:20 Yo te fè yon sèl sèvis pou tout prèt yo ansanm ak tout moun Levi yo pou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo tout te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye: yo touye bèt yo te ofri pou fèt Delivrans lan, yo fè yon sèl seremoni pou tout pèp la, pou prèt parèy yo ak pou yo menm tou.(Creole-HT) ======= Ezra 6:21 ============ Eza 6:21 And the children of Israel, which were come again out of captivity, and all such as had separated themselves unto them from the filthiness of the heathen of the land, to seek the LORD God of Israel, did eat,(KJV-1611) Ezr 6:21 Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lòt moun yo t'ap fè nan peyi yo epi ki te vin mete tèt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 6:22 ============ Eza 6:22 And kept the feast of unleavened bread seven days with joy: for the LORD had made them joyful, and turned the heart of the king of Assyria unto them, to strengthen their hands in the work of the house of God, the God of Israel.(KJV-1611) Ezr 6:22 Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 7:1 ============ Eza 7:1 Now after these things, in the reign of Artaxerxes king of Persia, Ezra the son of Seraiah, the son of Azariah, the son of Hilkiah,(KJV-1611) Ezr 7:1 Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou rèy Atagzèsès, wa peyi Pès la, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon an. Papa l' te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya, Azarya te pitit Ilkija.(Creole-HT) ======= Ezra 7:2 ============ Eza 7:2 The son of Shallum, the son of Zadok, the son of Ahitub,(KJV-1611) Ezr 7:2 Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub.(Creole-HT) ======= Ezra 7:3 ============ Eza 7:3 The son of Amariah, the son of Azariah, the son of Meraioth,(KJV-1611) Ezr 7:3 Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt.(Creole-HT) ======= Ezra 7:4 ============ Eza 7:4 The son of Zerahiah, the son of Uzzi, the son of Bukki,(KJV-1611) Ezr 7:4 Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki.(Creole-HT) ======= Ezra 7:5 ============ Eza 7:5 The son of Abishua, the son of Phinehas, the son of Eleazar, the son of Aaron the chief priest:(KJV-1611) Ezr 7:5 Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la.(Creole-HT) ======= Ezra 7:6 ============ Eza 7:6 This Ezra went up from Babylon; and he was a ready scribe in the law of Moses, which the LORD God of Israel had given: and the king granted him all his request, according to the hand of the LORD his God upon him.(KJV-1611) Ezr 7:6 Esdras te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Seyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l', paske Seyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l'. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l' moute lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 7:7 ============ Eza 7:7 And there went up some of the children of Israel, and of the priests, and the Levites, and the singers, and the porters, and the Nethinims, unto Jerusalem, in the seventh year of Artaxerxes the king.(KJV-1611) Ezr 7:7 Anpil lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne rèy li.(Creole-HT) ======= Ezra 7:8 ============ Eza 7:8 And he came to Jerusalem in the fifth month, which was in the seventh year of the king.(KJV-1611) Ezr 7:8 Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne rèy Atagzèsès la.(Creole-HT) ======= Ezra 7:9 ============ Eza 7:9 For upon the first day of the first month began he to go up from Babylon, and on the first day of the fifth month came he to Jerusalem, according to the good hand of his God upon him.(KJV-1611) Ezr 7:9 Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye.(Creole-HT) ======= Ezra 7:10 ============ Eza 7:10 For Ezra had prepared his heart to seek the law of the LORD, and to do it, and to teach in Israel statutes and judgments.(KJV-1611) Ezr 7:10 Esdras te pase tout tan li ap etidye lalwa Seyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l'. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezra 7:11 ============ Eza 7:11 Now this is the copy of the letter that the king Artaxerxes gave unto Ezra the priest, the scribe, even a scribe of the words of the commandments of the LORD, and of his statutes to Israel.(KJV-1611) Ezr 7:11 Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Seyè a te bay pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 7:12 ============ Eza 7:12 Artaxerxes, king of kings, unto Ezra the priest, a scribe of the law of the God of heaven, perfect peace, and at such a time.(KJV-1611) Ezr 7:12 Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,(Creole-HT) ======= Ezra 7:13 ============ Eza 7:13 I make a decree, that all they of the people of Israel, and of his priests and Levites, in my realm, which are minded of their own freewill to go up to Jerusalem, go with thee.(KJV-1611) Ezr 7:13 mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale.(Creole-HT) ======= Ezra 7:14 ============ Eza 7:14 Forasmuch as thou art sent of the king, and of his seven counsellors, to enquire concerning Judah and Jerusalem, according to the law of thy God which is in thine hand;(KJV-1611) Ezr 7:14 Se mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m' yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan.(Creole-HT) ======= Ezra 7:15 ============ Eza 7:15 And to carry the silver and gold, which the king and his counsellors have freely offered unto the God of Israel, whose habitation is in Jerusalem,(KJV-1611) Ezr 7:15 W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 7:16 ============ Eza 7:16 And all the silver and gold that thou canst find in all the province of Babylon, with the freewill offering of the people, and of the priests, offering willingly for the house of their God which is in Jerusalem:(KJV-1611) Ezr 7:16 W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 7:17 ============ Eza 7:17 That thou mayest buy speedily with this money bullocks, rams, lambs, with their meat offerings and their drink offerings, and offer them upon the altar of the house of your God which is in Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 7:17 Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 7:18 ============ Eza 7:18 And whatsoever shall seem good to thee, and to thy brethren, to do with the rest of the silver and the gold, that do after the will of your God.(KJV-1611) Ezr 7:18 Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Ezra 7:19 ============ Eza 7:19 The vessels also that are given thee for the service of the house of thy God, those deliver thou before the God of Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 7:19 W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la.(Creole-HT) ======= Ezra 7:20 ============ Eza 7:20 And whatsoever more shall be needful for the house of thy God, which thou shalt have occasion to bestow, bestow it out of the king's treasure house.(KJV-1611) Ezr 7:20 Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.(Creole-HT) ======= Ezra 7:21 ============ Eza 7:21 And I, even I Artaxerxes the king, do make a decree to all the treasurers which are beyond the river, that whatsoever Ezra the priest, the scribe of the law of the God of heaven, shall require of you, it be done speedily,(KJV-1611) Ezr 7:21 Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta,(Creole-HT) ======= Ezra 7:22 ============ Eza 7:22 Unto an hundred talents of silver, and to an hundred measures of wheat, and to an hundred baths of wine, and to an hundred baths of oil, and salt without prescribing how much.(KJV-1611) Ezr 7:22 depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen.(Creole-HT) ======= Ezra 7:23 ============ Eza 7:23 Whatsoever is commanded by the God of heaven, let it be diligently done for the house of the God of heaven: for why should there be wrath against the realm of the king and his sons?(KJV-1611) Ezr 7:23 Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'.(Creole-HT) ======= Ezra 7:24 ============ Eza 7:24 Also we certify you, that touching any of the priests and Levites, singers, porters, Nethinims, or ministers of this house of God, it shall not be lawful to impose toll, tribute, or custom, upon them.(KJV-1611) Ezr 7:24 Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.(Creole-HT) ======= Ezra 7:25 ============ Eza 7:25 And thou, Ezra, after the wisdom of thy God, that is in thine hand, set magistrates and judges, which may judge all the people that are beyond the river, all such as know the laws of thy God; and teach ye them that know them not.(KJV-1611) Ezr 7:25 Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.(Creole-HT) ======= Ezra 7:26 ============ Eza 7:26 And whosoever will not do the law of thy God, and the law of the king, let judgment be executed speedily upon him, whether it be unto death, or to banishment, or to confiscation of goods, or to imprisonment.(KJV-1611) Ezr 7:26 Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!(Creole-HT) ======= Ezra 7:27 ============ Eza 7:27 Blessed be the LORD God of our fathers, which hath put such a thing as this in the king's heart, to beautify the house of the LORD which is in Jerusalem:(KJV-1611) Ezr 7:27 Lè sa a, Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l' fè tout bèl bagay sa yo pou tanp Seyè a lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 7:28 ============ Eza 7:28 And hath extended mercy unto me before the king, and his counsellors, and before all the king's mighty princes. And I was strengthened as the hand of the LORD my God was upon me, and I gathered together out of Israel chief men to go up with me.(KJV-1611) Ezr 7:28 Li fè m' jwenn favè devan wa a, devan konseye l' yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m' kouraj, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!(Creole-HT) ======= Ezra 8:1 ============ Eza 8:1 These are now the chief of their fathers, and this is the genealogy of them that went up with me from Babylon, in the reign of Artaxerxes the king.(KJV-1611) Ezr 8:1 Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m' soti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou rèy wa Atagzèsès:(Creole-HT) ======= Ezra 8:2 ============ Eza 8:2 Of the sons of Phinehas; Gershom: of the sons of Ithamar; Daniel: of the sons of David; Hattush.(KJV-1611) Ezr 8:2 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Ezra 8:3 ============ Eza 8:3 Of the sons of Shechaniah, of the sons of Pharosh; Zechariah: and with him were reckoned by genealogy of the males an hundred and fifty.(KJV-1611) Ezr 8:3 Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l' sansenkant gason yo te konte nan fanmi an.(Creole-HT) ======= Ezra 8:4 ============ Eza 8:4 Of the sons of Pahathmoab; Elihoenai the son of Zerahiah, and with him two hundred males.(KJV-1611) Ezr 8:4 Elyeyoenayi, pitit gason Seraji a, chèf branch fanmi Pakat m'oab la. Li te gen avè l' desan gason.(Creole-HT) ======= Ezra 8:5 ============ Eza 8:5 Of the sons of Shechaniah; the son of Jahaziel, and with him three hundred males.(KJV-1611) Ezr 8:5 Chekanya, pitit gason Jazyèl la, chèf branch fanmi Zatou a. Li te gen avè l' twasan gason.(Creole-HT) ======= Ezra 8:6 ============ Eza 8:6 Of the sons also of Adin; Ebed the son of Jonathan, and with him fifty males.(KJV-1611) Ezr 8:6 Ebèd, pitit gason Jonatan an, chèf branch fanmi Aden an. Li te gen avè l' senkant gason.(Creole-HT) ======= Ezra 8:7 ============ Eza 8:7 And of the sons of Elam; Jeshaiah the son of Athaliah, and with him seventy males.(KJV-1611) Ezr 8:7 Yechaya, pitit gason Atalya a, chèf branch fanmi Elam lan. Li te gen avè l' swasanndis gason.(Creole-HT) ======= Ezra 8:8 ============ Eza 8:8 And of the sons of Shephatiah; Zebadiah the son of Michael, and with him fourscore males.(KJV-1611) Ezr 8:8 Zebadya, pitit gason Mikayèl la, chèf branch fanmi Chefatya a. Li te gen katreven gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:9 ============ Eza 8:9 Of the sons of Joab; Obadiah the son of Jehiel, and with him two hundred and eighteen males.(KJV-1611) Ezr 8:9 Obadya, pitit gason Jeyèl la, chèf branch fanmi Joab la. Li te gen desandizwit gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:10 ============ Eza 8:10 And of the sons of Shelomith; the son of Josiphiah, and with him an hundred and threescore males.(KJV-1611) Ezr 8:10 Chelomit, pitit gason Josifya a, chèf branch fanmi Bani an. Li te gen sanswasant gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:11 ============ Eza 8:11 And of the sons of Bebai; Zechariah the son of Bebai, and with him twenty and eight males.(KJV-1611) Ezr 8:11 Zakariya, pitit gason Bebayi a, chèf branch fanmi Bebayi a. Li te gen ventwit gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:12 ============ Eza 8:12 And of the sons of Azgad; Johanan the son of Hakkatan, and with him an hundred and ten males.(KJV-1611) Ezr 8:12 Jokanan, pitit gason Akatan an, chèf fanmi Azgad la. Li te gen sandis gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:13 ============ Eza 8:13 And of the last sons of Adonikam, whose names are these, Eliphelet, Jeiel, and Shemaiah, and with them threescore males.(KJV-1611) Ezr 8:13 Pou branch fanmi Adonikam an, se te Elifelèt, Jeyèl ak Chemaja. Yo te gen swasant gason avèk yo. Moun sa yo te vin apre.(Creole-HT) ======= Ezra 8:14 ============ Eza 8:14 Of the sons also of Bigvai; Uthai, and Zabbud, and with them seventy males.(KJV-1611) Ezr 8:14 Outayi, pitit gason Zaboud la, chèf branch fanmi Bigvayi a. Li te gen swasandis gason avè l'.(Creole-HT) ======= Ezra 8:15 ============ Eza 8:15 And I gathered them together to the river that runneth to Ahava; and there abode we in tents three days: and I viewed the people, and the priests, and found there none of the sons of Levi.(KJV-1611) Ezr 8:15 Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.(Creole-HT) ======= Ezra 8:16 ============ Eza 8:16 Then sent I for Eliezer, for Ariel, for Shemaiah, and for Elnathan, and for Jarib, and for Elnathan, and for Nathan, and for Zechariah, and for Meshullam, chief men; also for Joiarib, and for Elnathan, men of understanding.(KJV-1611) Ezr 8:16 Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.(Creole-HT) ======= Ezra 8:17 ============ Eza 8:17 And I sent them with commandment unto Iddo the chief at the place Casiphia, and I told them what they should say unto Iddo, and to his brethren the Nethinims, at the place Casiphia, that they should bring unto us ministers for the house of our God.(KJV-1611) Ezr 8:17 Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Ezra 8:18 ============ Eza 8:18 And by the good hand of our God upon us they brought us a man of understanding, of the sons of Mahli, the son of Levi, the son of Israel; and Sherebiah, with his sons and his brethren, eighteen;(KJV-1611) Ezr 8:18 Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te soti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l' yo ki te vini ak li tou.(Creole-HT) ======= Ezra 8:19 ============ Eza 8:19 And Hashabiah, and with him Jeshaiah of the sons of Merari, his brethren and their sons, twenty;(KJV-1611) Ezr 8:19 Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.(Creole-HT) ======= Ezra 8:20 ============ Eza 8:20 Also of the Nethinims, whom David and the princes had appointed for the service of the Levites, two hundred and twenty Nethinims: all of them were expressed by name.(KJV-1611) Ezr 8:20 Te gen tou desanven travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:21 ============ Eza 8:21 Then I proclaimed a fast there, at the river of Ahava, that we might afflict ourselves before our God, to seek of him a right way for us, and for our little ones, and for all our substance.(KJV-1611) Ezr 8:21 Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:22 ============ Eza 8:22 For I was ashamed to require of the king a band of soldiers and horsemen to help us against the enemy in the way: because we had spoken unto the king, saying, The hand of our God is upon all them for good that seek him; but his power and his wrath is against all them that forsake him.(KJV-1611) Ezr 8:22 Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:23 ============ Eza 8:23 So we fasted and besought our God for this: and he was intreated of us.(KJV-1611) Ezr 8:23 Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l' pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:24 ============ Eza 8:24 Then I separated twelve of the chief of the priests, Sherebiah, Hashabiah, and ten of their brethren with them,(KJV-1611) Ezr 8:24 Apre sa, mwen chwazi douz moun nan chèf prèt yo: se te Cherebya, Achabya ak dis lòt chèf prèt.(Creole-HT) ======= Ezra 8:25 ============ Eza 8:25 And weighed unto them the silver, and the gold, and the vessels, even the offering of the house of our God, which the king, and his counsellors, and his lords, and all Israel there present, had offered:(KJV-1611) Ezr 8:25 Mwen pran pèz tout ajan ak tout lò ak tout lòt veso wa a, konseye l' yo ak lòt chèf ki avè l' yo te bay pou sèvi nan tanp Bondye nou an ansanm ak ofrann moun pèp Izrayèl yo, epi mwen renmèt yo bay douz chèf prèt yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:26 ============ Eza 8:26 I even weighed unto their hand six hundred and fifty talents of silver, and silver vessels an hundred talents, and of gold an hundred talents;(KJV-1611) Ezr 8:26 Men sa mwen te renmèt yo nan men: nèfsandouzmil ons lò,(Creole-HT) ======= Ezra 8:27 ============ Eza 8:27 Also twenty basons of gold, of a thousand drams; and two vessels of fine copper, precious as gold.(KJV-1611) Ezr 8:27 ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:28 ============ Eza 8:28 And I said unto them, Ye are holy unto the LORD; the vessels are holy also; and the silver and the gold are a freewill offering unto the LORD God of your fathers.(KJV-1611) Ezr 8:28 Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Seyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Seyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Seyè a, Bondye zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Ezra 8:29 ============ Eza 8:29 Watch ye, and keep them, until ye weigh them before the chief of the priests and the Levites, and chief of the fathers of Israel, at Jerusalem, in the chambers of the house of the LORD.(KJV-1611) Ezr 8:29 Nou reskonsab yo jouk n'a rive nan tanp lan lavil Jerizalèm. Rive la, nan chanm prèt yo ki nan tanp Bondye a, n'a peze yo ankò devan chèf prèt yo ak chèf moun Levi yo, devan chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, epi n'a renmèt yo li.(Creole-HT) ======= Ezra 8:30 ============ Eza 8:30 So took the priests and the Levites the weight of the silver, and the gold, and the vessels, to bring them to Jerusalem unto the house of our God.(KJV-1611) Ezr 8:30 Se konsa, lè mwen fin peze ajan an, lò a ak veso yo, prèt yo ak moun Levi yo pran yo nan men m', pou pote yo jouk lavil Jerizalèm, nan tanp Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Ezra 8:31 ============ Eza 8:31 Then we departed from the river of Ahava on the twelfth day of the first month, to go unto Jerusalem: and the hand of our God was upon us, and he delivered us from the hand of the enemy, and of such as lay in wait by the way.(KJV-1611) Ezr 8:31 Sou douzyèm jou premye mwa a, nou kite kote nou te ye a bò kannal Aava a, nou pati pou lavil Jerizalèm. Bondye nou an te la ak nou sou tout wout la. Li pwoteje nou, li pa kite okenn lènmi atake nou, li pa kite nou tonbe nan okenn anbiskad vòlò ta ka pare sou wout pou nou.(Creole-HT) ======= Ezra 8:32 ============ Eza 8:32 And we came to Jerusalem, and abode there three days.(KJV-1611) Ezr 8:32 Nou rive lavil Jerizalèm, nou pase twa jou ap poze kò nou.(Creole-HT) ======= Ezra 8:33 ============ Eza 8:33 Now on the fourth day was the silver and the gold and the vessels weighed in the house of our God by the hand of Meremoth the son of Uriah the priest; and with him was Eleazar the son of Phinehas; and with them was Jozabad the son of Jeshua, and Noadiah the son of Binnui, Levites;(KJV-1611) Ezr 8:33 Sou katriyèm jou a, n' al nan tanp Bondye nou an, yo peze ajan an, lò a ak veso yo, epi yo renmèt yo nan men Meremòt, prèt la, pitit gason Ouri a. Avèk li te gen Eleaza, pitit gason Fineas la, ak de moun Levi: Jozabad, pitit gason Jozye, ak Noadja, pitit gason Bennwi a.(Creole-HT) ======= Ezra 8:34 ============ Eza 8:34 By number and by weight of every one: and all the weight was written at that time.(KJV-1611) Ezr 8:34 Yo konte, yo peze, yo jwenn tout bagay, anyen pa t' manke. Lè sa a, yo fè yon lis tou sa yo te peze, epi yo sere lis la.(Creole-HT) ======= Ezra 8:35 ============ Eza 8:35 Also the children of those that had been carried away, which were come out of the captivity, offered burnt offerings unto the God of Israel, twelve bullocks for all Israel, ninety and six rams, seventy and seven lambs, twelve he goats for a sin offering: all this was a burnt offering unto the LORD.(KJV-1611) Ezr 8:35 Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye pèp Izrayèl la. Yo ofri douz towo pou tout pèp Izrayèl la, katrevensèz belye mouton, swasanndisèt ti mouton ak douz bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche yo. Yo boule tout bèt sa yo nèt nan dife pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezra 8:36 ============ Eza 8:36 And they delivered the king's commissions unto the king's lieutenants, and to the governors on this side the river: and they furthered the people, and the house of God.(KJV-1611) Ezr 8:36 Yo pran tout dokiman wa a te ba yo, yo renmèt prefè wa yo ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la, yo bay konkou yo pou tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezra 9:1 ============ Eza 9:1 Now when these things were done, the princes came to me, saying, The people of Israel, and the priests, and the Levites, have not separated themselves from the people of the lands, doing according to their abominations, even of the Canaanites, the Hittites, the Perizzites, the Jebusites, the Ammonites, the Moabites, the Egyptians, and the Amorites.(KJV-1611) Ezr 9:1 Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.(Creole-HT) ======= Ezra 9:2 ============ Eza 9:2 For they have taken of their daughters for themselves, and for their sons: so that the holy seed have mingled themselves with the people of those lands: yea, the hand of the princes and rulers hath been chief in this trespass.(KJV-1611) Ezr 9:2 Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo.(Creole-HT) ======= Ezra 9:3 ============ Eza 9:3 And when I heard this thing, I rent my garment and my mantle, and plucked off the hair of my head and of my beard, and sat down astonied.(KJV-1611) Ezr 9:3 Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.(Creole-HT) ======= Ezra 9:4 ============ Eza 9:4 Then were assembled unto me every one that trembled at the words of the God of Israel, because of the transgression of those that had been carried away; and I sat astonied until the evening sacrifice.(KJV-1611) Ezr 9:4 M' al koupi kò m' yon kote sitèlman sa te fè m' lapenn. Anpil moun te pè lè yo vin konnen sa Seyè a te di sou koze peche moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a te fè a. Yo tout vin sanble bò kote m'. Mwen menm menm, mwen te rete chita koupi atè a, jouk lè pou yo fè ofrann chak aswè a rive, tèlman sa te fè m' mal.(Creole-HT) ======= Ezra 9:5 ============ Eza 9:5 And at the evening sacrifice I arose up from my heaviness; and having rent my garment and my mantle, I fell upon my knees, and spread out my hands unto the LORD my God,(KJV-1611) Ezr 9:5 Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= Ezra 9:6 ============ Eza 9:6 And said, O my God, I am ashamed and blush to lift up my face to thee, my God: for our iniquities are increased over our head, and our trespass is grown up unto the heavens.(KJV-1611) Ezr 9:6 Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 9:7 ============ Eza 9:7 Since the days of our fathers have we been in a great trespass unto this day; and for our iniquities have we, our kings, and our priests, been delivered into the hand of the kings of the lands, to the sword, to captivity, and to a spoil, and to confusion of face, as it is this day.(KJV-1611) Ezr 9:7 Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Ezra 9:8 ============ Eza 9:8 And now for a little space grace hath been shewed from the LORD our God, to leave us a remnant to escape, and to give us a nail in his holy place, that our God may lighten our eyes, and give us a little reviving in our bondage.(KJV-1611) Ezr 9:8 Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.(Creole-HT) ======= Ezra 9:9 ============ Eza 9:9 For we were bondmen; yet our God hath not forsaken us in our bondage, but hath extended mercy unto us in the sight of the kings of Persia, to give us a reviving, to set up the house of our God, and to repair the desolations thereof, and to give us a wall in Judah and in Jerusalem.(KJV-1611) Ezr 9:9 Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 9:10 ============ Eza 9:10 And now, O our God, what shall we say after this? for we have forsaken thy commandments,(KJV-1611) Ezr 9:10 Koulye a menm, Bondye, kisa pou nou di ou? Menm apre tou sa ou deja fè pou nou, nou dezobeyi tout kòmandman(Creole-HT) ======= Ezra 9:11 ============ Eza 9:11 Which thou hast commanded by thy servants the prophets, saying, The land, unto which ye go to possess it, is an unclean land with the filthiness of the people of the lands, with their abominations, which have filled it from one end to another with their uncleanness.(KJV-1611) Ezr 9:11 ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l' yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezra 9:12 ============ Eza 9:12 Now therefore give not your daughters unto their sons, neither take their daughters unto your sons, nor seek their peace or their wealth for ever: that ye may be strong, and eat the good of the land, and leave it for an inheritance to your children for ever.(KJV-1611) Ezr 9:12 Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= Ezra 9:13 ============ Eza 9:13 And after all that is come upon us for our evil deeds, and for our great trespass, seeing that thou our God hast punished us less than our iniquities deserve, and hast given us such deliverance as this;(KJV-1611) Ezr 9:13 Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a.(Creole-HT) ======= Ezra 9:14 ============ Eza 9:14 Should we again break thy commandments, and join in affinity with the people of these abominations? wouldest not thou be angry with us till thou hadst consumed us, so that there should be no remnant nor escaping?(KJV-1611) Ezr 9:14 Epi pou koulye a ankò pou nou pa swiv kòmandman ou yo, pou n' al marye avèk kalite move moun sa yo? Fwa sa a, p'ap gen anyen ki pou anpeche ou fache sou nou jouk pou ou detwi nou nèt, san ou pa kite pesonn chape!(Creole-HT) ======= Ezra 9:15 ============ Eza 9:15 O LORD God of Israel, thou art righteous: for we remain yet escaped, as it is this day: behold, we are before thee in our trespasses: for we cannot stand before thee because of this.(KJV-1611) Ezr 9:15 Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!(Creole-HT) ======= Ezra 10:1 ============ Eza 10:1 Now when Ezra had prayed, and when he had confessed, weeping and casting himself down before the house of God, there assembled unto him out of Israel a very great congregation of men and women and children: for the people wept very sore.(KJV-1611) Ezr 10:1 Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.(Creole-HT) ======= Ezra 10:2 ============ Eza 10:2 And Shechaniah the son of Jehiel, one of the sons of Elam, answered and said unto Ezra, We have trespassed against our God, and have taken strange wives of the people of the land: yet now there is hope in Israel concerning this thing.(KJV-1611) Ezr 10:2 Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 10:3 ============ Eza 10:3 Now therefore let us make a covenant with our God to put away all the wives, and such as are born of them, according to the counsel of my lord, and of those that tremble at the commandment of our God; and let it be done according to the law.(KJV-1611) Ezr 10:3 Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.(Creole-HT) ======= Ezra 10:4 ============ Eza 10:4 Arise; for this matter belongeth unto thee: we also will be with thee: be of good courage, and do it.(KJV-1611) Ezr 10:4 Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan!(Creole-HT) ======= Ezra 10:5 ============ Eza 10:5 Then arose Ezra, and made the chief priests, the Levites, and all Israel, to swear that they should do according to this word. And they sware.(KJV-1611) Ezr 10:5 Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre.(Creole-HT) ======= Ezra 10:6 ============ Eza 10:6 Then Ezra rose up from before the house of God, and went into the chamber of Johanan the son of Eliashib: and when he came thither, he did eat no bread, nor drink water: for he mourned because of the transgression of them that had been carried away.(KJV-1611) Ezr 10:6 Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.(Creole-HT) ======= Ezra 10:7 ============ Eza 10:7 And they made proclamation throughout Judah and Jerusalem unto all the children of the captivity, that they should gather themselves together unto Jerusalem;(KJV-1611) Ezr 10:7 Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezra 10:8 ============ Eza 10:8 And that whosoever would not come within three days, according to the counsel of the princes and the elders, all his substance should be forfeited, and himself separated from the congregation of those that had been carried away.(KJV-1611) Ezr 10:8 Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.(Creole-HT) ======= Ezra 10:9 ============ Eza 10:9 Then all the men of Judah and Benjamin gathered themselves together unto Jerusalem within three days. It was the ninth month, on the twentieth day of the month; and all the people sat in the street of the house of God, trembling because of this matter, and for the great rain.(KJV-1611) Ezr 10:9 Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè.(Creole-HT) ======= Ezra 10:10 ============ Eza 10:10 And Ezra the priest stood up, and said unto them, Ye have transgressed, and have taken strange wives, to increase the trespass of Israel.(KJV-1611) Ezr 10:10 Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezra 10:11 ============ Eza 10:11 Now therefore make confession unto the LORD God of your fathers, and do his pleasure: and separate yourselves from the people of the land, and from the strange wives.(KJV-1611) Ezr 10:11 Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.(Creole-HT) ======= Ezra 10:12 ============ Eza 10:12 Then all the congregation answered and said with a loud voice, As thou hast said, so must we do.(KJV-1611) Ezr 10:12 Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè!(Creole-HT) ======= Ezra 10:13 ============ Eza 10:13 But the people are many, and it is a time of much rain, and we are not able to stand without, neither is this a work of one day or two: for we are many that have transgressed in this thing.(KJV-1611) Ezr 10:13 Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a.(Creole-HT) ======= Ezra 10:14 ============ Eza 10:14 Let now our rulers of all the congregation stand, and let all them which have taken strange wives in our cities come at appointed times, and with them the elders of every city, and the judges thereof, until the fierce wrath of our God for this matter be turned from us.(KJV-1611) Ezr 10:14 Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese.(Creole-HT) ======= Ezra 10:15 ============ Eza 10:15 Only Jonathan the son of Asahel and Jahaziah the son of Tikvah were employed about this matter: and Meshullam and Shabbethai the Levite helped them.(KJV-1611) Ezr 10:15 Tout moun te dakò esepte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou.(Creole-HT) ======= Ezra 10:16 ============ Eza 10:16 And the children of the captivity did so. And Ezra the priest, with certain chief of the fathers, after the house of their fathers, and all of them by their names, were separated, and sat down in the first day of the tenth month to examine the matter.(KJV-1611) Ezr 10:16 Men, moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l' nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= Ezra 10:17 ============ Eza 10:17 And they made an end with all the men that had taken strange wives by the first day of the first month.(KJV-1611) Ezr 10:17 Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezra 10:18 ============ Eza 10:18 And among the sons of the priests there were found that had taken strange wives: namely, of the sons of Jeshua the son of Jozadak, and his brethren; Maaseiah, and Eliezer, and Jarib, and Gedaliah.(KJV-1611) Ezr 10:18 Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya.(Creole-HT) ======= Ezra 10:19 ============ Eza 10:19 And they gave their hands that they would put away their wives; and being guilty, they offered a ram of the flock for their trespass.(KJV-1611) Ezr 10:19 Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a.(Creole-HT) ======= Ezra 10:20 ============ Eza 10:20 And of the sons of Immer; Hanani, and Zebadiah.(KJV-1611) Ezr 10:20 Nan branch fanmi Imè a te gen Anani ak Zebadya.(Creole-HT) ======= Ezra 10:21 ============ Eza 10:21 And of the sons of Harim; Maaseiah, and Elijah, and Shemaiah, and Jehiel, and Uzziah.(KJV-1611) Ezr 10:21 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya.(Creole-HT) ======= Ezra 10:22 ============ Eza 10:22 And of the sons of Pashur; Elioenai, Maaseiah, Ishmael, Nethaneel, Jozabad, and Elasah.(KJV-1611) Ezr 10:22 Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza.(Creole-HT) ======= Ezra 10:23 ============ Eza 10:23 Also of the Levites; Jozabad, and Shimei, and Kelaiah, (the same is Kelita,) Pethahiah, Judah, and Eliezer.(KJV-1611) Ezr 10:23 Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l' Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè.(Creole-HT) ======= Ezra 10:24 ============ Eza 10:24 Of the singers also; Eliashib: and of the porters; Shallum, and Telem, and Uri.(KJV-1611) Ezr 10:24 Pami sanba yo, te gen Elijachib. Pami gad tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri.(Creole-HT) ======= Ezra 10:25 ============ Eza 10:25 Moreover of Israel: of the sons of Parosh; Ramiah, and Jeziah, and Malchiah, and Miamin, and Eleazar, and Malchijah, and Benaiah.(KJV-1611) Ezr 10:25 Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja.(Creole-HT) ======= Ezra 10:26 ============ Eza 10:26 And of the sons of Elam; Mattaniah, Zechariah, and Jehiel, and Abdi, and Jeremoth, and Eliah.(KJV-1611) Ezr 10:26 Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija.(Creole-HT) ======= Ezra 10:27 ============ Eza 10:27 And of the sons of Zattu; Elioenai, Eliashib, Mattaniah, and Jeremoth, and Zabad, and Aziza.(KJV-1611) Ezr 10:27 Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa.(Creole-HT) ======= Ezra 10:28 ============ Eza 10:28 Of the sons also of Bebai; Jehohanan, Hananiah, Zabbai, and Athlai.(KJV-1611) Ezr 10:28 Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi.(Creole-HT) ======= Ezra 10:29 ============ Eza 10:29 And of the sons of Bani; Meshullam, Malluch, and Adaiah, Jashub, and Sheal, and Ramoth.(KJV-1611) Ezr 10:29 Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt.(Creole-HT) ======= Ezra 10:30 ============ Eza 10:30 And of the sons of Pahathmoab; Adna, and Chelal, Benaiah, Maaseiah, Mattaniah, Bezaleel, and Binnui, and Manasseh.(KJV-1611) Ezr 10:30 Nan branch fanmi Pakat m'oab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase.(Creole-HT) ======= Ezra 10:31 ============ Eza 10:31 And of the sons of Harim; Eliezer, Ishijah, Malchiah, Shemaiah, Shimeon,(KJV-1611) Ezr 10:31 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon,(Creole-HT) ======= Ezra 10:32 ============ Eza 10:32 Benjamin, Malluch, and Shemariah.(KJV-1611) Ezr 10:32 Benjamen, Malouk ak Chemarya.(Creole-HT) ======= Ezra 10:33 ============ Eza 10:33 Of the sons of Hashum; Mattenai, Mattathah, Zabad, Eliphelet, Jeremai, Manasseh, and Shimei.(KJV-1611) Ezr 10:33 Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi.(Creole-HT) ======= Ezra 10:34 ============ Eza 10:34 Of the sons of Bani; Maadai, Amram, and Uel,(KJV-1611) Ezr 10:34 Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl,(Creole-HT) ======= Ezra 10:35 ============ Eza 10:35 Benaiah, Bedeiah, Chelluh,(KJV-1611) Ezr 10:35 Benaja, Bedeja, Kelwit,(Creole-HT) ======= Ezra 10:36 ============ Eza 10:36 Vaniah, Meremoth, Eliashib,(KJV-1611) Ezr 10:36 Vanya, Meremòt, Elyachib,(Creole-HT) ======= Ezra 10:37 ============ Eza 10:37 Mattaniah, Mattenai, and Jaasau,(KJV-1611) Ezr 10:37 Matanya, Matenayi ak Jasayi.(Creole-HT) ======= Ezra 10:38 ============ Eza 10:38 And Bani, and Binnui, Shimei,(KJV-1611) Ezr 10:38 Nan branch fanmi Bennwi a, te gen Chimèyi,(Creole-HT) ======= Ezra 10:39 ============ Eza 10:39 And Shelemiah, and Nathan, and Adaiah,(KJV-1611) Ezr 10:39 Chelemija, Natan, Adaja,(Creole-HT) ======= Ezra 10:40 ============ Eza 10:40 Machnadebai, Shashai, Sharai,(KJV-1611) Ezr 10:40 Maknadebayi, Chachayi, Charayi,(Creole-HT) ======= Ezra 10:41 ============ Eza 10:41 Azareel, and Shelemiah, Shemariah,(KJV-1611) Ezr 10:41 Azaryèl, Chelemya, Chemarya,(Creole-HT) ======= Ezra 10:42 ============ Eza 10:42 Shallum, Amariah, and Joseph.(KJV-1611) Ezr 10:42 Chaloum, Amarya ak Jozèf.(Creole-HT) ======= Ezra 10:43 ============ Eza 10:43 Of the sons of Nebo; Jeiel, Mattithiah, Zabad, Zebina, Jadau, and Joel, Benaiah.(KJV-1611) Ezr 10:43 Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Joèl ak Benaja.(Creole-HT) ======= Ezra 10:44 ============ Eza 10:44 All these had taken strange wives: and some of them had wives by whom they had children.(KJV-1611) Ezr 10:44 Tout mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Yo ranvwaye medam yo ansanm ak tout pitit yo te fè pou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:1 ============ Neh 1:1 The words of Nehemiah the son of Hachaliah. And it came to pass in the month Chisleu, in the twentieth year, as I was in Shushan the palace,(KJV-1611) Neh 1:1 Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:2 ============ Neh 1:2 That Hanani, one of my brethren, came, he and certain men of Judah; and I asked them concerning the Jews that had escaped, which were left of the captivity, and concerning Jerusalem.(KJV-1611) Neh 1:2 Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:3 ============ Neh 1:3 And they said unto me, The remnant that are left of the captivity there in the province are in great affliction and reproach: the wall of Jerusalem also is broken down, and the gates thereof are burned with fire.(KJV-1611) Neh 1:3 Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:4 ============ Neh 1:4 And it came to pass, when I heard these words, that I sat down and wept, and mourned certain days, and fasted, and prayed before the God of heaven,(KJV-1611) Neh 1:4 Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:5 ============ Neh 1:5 And said, I beseech thee, O LORD God of heaven, the great and terrible God, that keepeth covenant and mercy for them that love him and observe his commandments:(KJV-1611) Neh 1:5 Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:6 ============ Neh 1:6 Let thine ear now be attentive, and thine eyes open, that thou mayest hear the prayer of thy servant, which I pray before thee now, day and night, for the children of Israel thy servants, and confess the sins of the children of Israel, which we have sinned against thee: both I and my father's house have sinned.(KJV-1611) Neh 1:6 Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:7 ============ Neh 1:7 We have dealt very corruptly against thee, and have not kept the commandments, nor the statutes, nor the judgments, which thou commandedst thy servant Moses.(KJV-1611) Neh 1:7 Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:8 ============ Neh 1:8 Remember, I beseech thee, the word that thou commandedst thy servant Moses, saying, If ye transgress, I will scatter you abroad among the nations:(KJV-1611) Neh 1:8 Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:9 ============ Neh 1:9 But if ye turn unto me, and keep my commandments, and do them; though there were of you cast out unto the uttermost part of the heaven, yet will I gather them from thence, and will bring them unto the place that I have chosen to set my name there.(KJV-1611) Neh 1:9 Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:10 ============ Neh 1:10 Now these are thy servants and thy people, whom thou hast redeemed by thy great power, and by thy strong hand.(KJV-1611) Neh 1:10 Enben! Seyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 1:11 ============ Neh 1:11 O LORD, I beseech thee, let now thine ear be attentive to the prayer of thy servant, and to the prayer of thy servants, who desire to fear thy name: and prosper, I pray thee, thy servant this day, and grant him mercy in the sight of this man. For I was the king's cupbearer.(KJV-1611) Neh 1:11 Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:1 ============ Neh 2:1 And it came to pass in the month Nisan, in the twentieth year of Artaxerxes the king, that wine was before him: and I took up the wine, and gave it unto the king. Now I had not been beforetime sad in his presence.(KJV-1611) Neh 2:1 Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen, nou te nan mitan mwa Nisan. Jou sa a, se te tou pa m' pou m' te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l' ba li. Li pa t' janm konn wè m' parèt devan l' kagou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:2 ============ Neh 2:2 Wherefore the king said unto me, Why is thy countenance sad, seeing thou art not sick? this is nothing else but sorrow of heart. Then I was very sore afraid,(KJV-1611) Neh 2:2 Epi li di m' konsa: -Ki jan figi ou fè rale konsa? Se pa malad ou malad? Kisa k'ap fè ou lapenn konsa? Lè sa a m'ap mande nan kè m' sa ki pral rive m'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:3 ============ Neh 2:3 And said unto the king, Let the king live for ever: why should not my countenance be sad, when the city, the place of my fathers' sepulchres, lieth waste, and the gates thereof are consumed with fire?(KJV-1611) Neh 2:3 Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:4 ============ Neh 2:4 Then the king said unto me, For what dost thou make request? So I prayed to the God of heaven.(KJV-1611) Neh 2:4 Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:5 ============ Neh 2:5 And I said unto the king, If it please the king, and if thy servant have found favour in thy sight, that thou wouldest send me unto Judah, unto the city of my fathers' sepulchres, that I may build it.(KJV-1611) Neh 2:5 Epi mwen reponn li: -Si sa fè monwa plezi, si ou kontan jan m'ap sèvi ou la, tanpri, kite m' ale nan peyi Jida, nan lavil kote zansèt mwen yo antere a, pou m' ka rebati l'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:6 ============ Neh 2:6 And the king said unto me, (the queen also sitting by him,) For how long shall thy journey be? and when wilt thou return? So it pleased the king to send me; and I set him a time.(KJV-1611) Neh 2:6 Wa a te chita avèk larenn li bò kote l', li mande m': -Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'a tounen? Mwen di l' konbe tan sa ka pran m'. Epi li dakò pou l' kite m' ale.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:7 ============ Neh 2:7 Moreover I said unto the king, If it please the king, let letters be given me to the governors beyond the river, that they may convey me over till I come into Judah;(KJV-1611) Neh 2:7 Lè sa a, mwen di wa a: -Si sa fè monwa plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou gouvènè ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat yo, pou yo ka kite m' pase jouk mwen rive nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:8 ============ Neh 2:8 And a letter unto Asaph the keeper of the king's forest, that he may give me timber to make beams for the gates of the palace which appertained to the house, and for the wall of the city, and for the house that I shall enter into. And the king granted me, according to the good hand of my God upon me.(KJV-1611) Neh 2:8 Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:9 ============ Neh 2:9 Then I came to the governors beyond the river, and gave them the king's letters. Now the king had sent captains of the army and horsemen with me.(KJV-1611) Neh 2:9 Wa a te voye kèk ofisye nan lame a ak kèk kavalye pou ale avè m'. Se konsa, mwen pati pou pwovens ki lòt bò larivyè Lefrat la, mwen pase lakay tout gouvènè yo, mwen renmèt yo lèt wa a te ban mwen pou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:10 ============ Neh 2:10 When Sanballat the Horonite, and Tobiah the servant, the Ammonite, heard of it, it grieved them exceedingly that there was come a man to seek the welfare of the children of Israel.(KJV-1611) Neh 2:10 Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon, ak Tobija, yon moun peyi Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, vin konnen te gen yon nonm ki te vin travay pou byen pèp Izrayèl la, sa te gate san yo anpil.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:11 ============ Neh 2:11 So I came to Jerusalem, and was there three days.(KJV-1611) Neh 2:11 Lè m' rive lavil Jerizalèm, mwen kite twa jou pase anvan m' fè anyen.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:12 ============ Neh 2:12 And I arose in the night, I and some few men with me; neither told I any man what my God had put in my heart to do at Jerusalem: neither was there any beast with me, save the beast that I rode upon.(KJV-1611) Neh 2:12 Apre sa, mwen leve nan mitan lannwit, mwen pran kèk moun pa m' avè m'. Mwen pati san m' pa di pesonn sa Bondye te ban m' lide fè pou lavil Jerizalèm. Sèl bèt nou te pran ak nou, se te bèt pou m' moute a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:13 ============ Neh 2:13 And I went out by night by the gate of the valley, even before the dragon well, and to the dung port, and viewed the walls of Jerusalem, which were broken down, and the gates thereof were consumed with fire.(KJV-1611) Neh 2:13 Li te fè nwa. Nou soti nan pòtay Ti Fon an ki sou bò lwès, nou vire desann nan direksyon sid, nou pase devan Fontenn Dragon an, ak devan pòtay Depotwa a. Sou tout wout la, mwen t'ap egzaminen eta ranpa lavil Jerizalèm lan, kote ki te gen twou ak pòtay dife te boule yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:14 ============ Neh 2:14 Then I went on to the gate of the fountain, and to the king's pool: but there was no place for the beast that was under me to pass.(KJV-1611) Neh 2:14 Mwen vanse pi devan, mwen vire sou bò nò. Mwen pase devan pòtay Fontenn lan ak Rezèvwa Wa a. Lè m' rive la, bèt mwen te moute a pa t' ka jwenn kote pou l' pase.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:15 ============ Neh 2:15 Then went I up in the night by the brook, and viewed the wall, and turned back, and entered by the gate of the valley, and so returned.(KJV-1611) Neh 2:15 Nan fènwa a, mwen pase nan ravin lan, mwen moute nan direksyon nò. Mwen t'ap egzaminen eta miray la byen. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m' te pase a, mwen antre nan lavil la, nan pòtay Ti-Fon an.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:16 ============ Neh 2:16 And the rulers knew not whither I went, or what I did; neither had I as yet told it to the Jews, nor to the priests, nor to the nobles, nor to the rulers, nor to the rest that did the work.(KJV-1611) Neh 2:16 Pesonn nan chèf lavil yo pa t' konnen kote m' te ale ni sa m' te al fè. Lè sa a, mwen pa t' ankò di jwif yo anyen, ni prèt yo, ni chèf yo, ni majistra yo, ni ankenn lòt moun ki te reskonsab travay reparasyon yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:17 ============ Neh 2:17 Then said I unto them, Ye see the distress that we are in, how Jerusalem lieth waste, and the gates thereof are burned with fire: come, and let us build up the wall of Jerusalem, that we be no more a reproach.(KJV-1611) Neh 2:17 Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:18 ============ Neh 2:18 Then I told them of the hand of my God which was good upon me; as also the king's words that he had spoken unto me. And they said, Let us rise up and build. So they strengthened their hands for this good work.(KJV-1611) Neh 2:18 Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:19 ============ Neh 2:19 But when Sanballat the Horonite, and Tobiah the servant, the Ammonite, and Geshem the Arabian, heard it, they laughed us to scorn, and despised us, and said, What is this thing that ye do? will ye rebel against the king?(KJV-1611) Neh 2:19 Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: -Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!(Creole-HT) ======= Nehemiah 2:20 ============ Neh 2:20 Then answered I them, and said unto them, The God of heaven, he will prosper us; therefore we his servants will arise and build: but ye have no portion, nor right, nor memorial, in Jerusalem.(KJV-1611) Neh 2:20 Mwen reponn, mwen di yo: -Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l'. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen ankenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pesonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:1 ============ Neh 3:1 Then Eliashib the high priest rose up with his brethren the priests, and they builded the sheep gate; they sanctified it, and set up the doors of it; even unto the tower of Meah they sanctified it, unto the tower of Hananeel.(KJV-1611) Neh 3:1 Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:2 ============ Neh 3:2 And next unto him builded the men of Jericho. And next to them builded Zaccur the son of Imri.(KJV-1611) Neh 3:2 Moun lavil Jeriko yo rebati ti pòsyon ki vin apre pa Elyachib, granprèt la. Zakòv, pitit gason Imri a, rebati pòsyon ki vin apre pa moun Jeriko yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:3 ============ Neh 3:3 But the fish gate did the sons of Hassenaah build, who also laid the beams thereof, and set up the doors thereof, the locks thereof, and the bars thereof.(KJV-1611) Neh 3:3 Moun branch fanmi Sena yo rebati Pòtay Pwason yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:4 ============ Neh 3:4 And next unto them repaired Meremoth the son of Urijah, the son of Koz. And next unto them repaired Meshullam the son of Berechiah, the son of Meshezabeel. And next unto them repaired Zadok the son of Baana.(KJV-1611) Neh 3:4 Meremòt, pitit Ouri, pitit pitit Akòk la, repare pòsyon ki vin apre a. Mechoulam, pitit gason Berekya a, pitit pitit Mechezabeyèl la, rebati pòsyon ki vin apre a. Zadòk, pitit gason Bana a, rebati pòsyon ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:5 ============ Neh 3:5 And next unto them the Tekoites repaired; but their nobles put not their necks to the work of their LORD.(KJV-1611) Neh 3:5 Moun lavil Tekoa yo rebati pòsyon ki vin apre a. Men, grannèg lavil Tekoa yo te refize fè travay chèf la te ba yo fè a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:6 ============ Neh 3:6 Moreover the old gate repaired Jehoiada the son of Paseah, and Meshullam the son of Besodeiah; they laid the beams thereof, and set up the doors thereof, and the locks thereof, and the bars thereof.(KJV-1611) Neh 3:6 Jojada, pitit gason Paseyak, ak Mechoulam, pitit gason Besodya a, travay ansanm pou rebati Pòtay Ansyen an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:7 ============ Neh 3:7 And next unto them repaired Melatiah the Gibeonite, and Jadon the Meronothite, the men of Gibeon, and of Mizpah, unto the throne of the governor on this side the river.(KJV-1611) Neh 3:7 Melatya, moun lavil Gabawon, Jadon, moun lavil Mewonòt, avèk moun lavil Gabawon yo ansanm ak moun lavil Mispa yo rebati pòtay miray ki vin apre a, rive jouk bò kay gouvènè Pwovens lòt bò larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:8 ============ Neh 3:8 Next unto him repaired Uzziel the son of Harhaiah, of the goldsmiths. Next unto him also repaired Hananiah the son of one of the apothecaries, and they fortified Jerusalem unto the broad wall.(KJV-1611) Neh 3:8 Ouzyèl, pitit gason Araja, yon òfèv, te rebati pòsyon ki vin apre a. Ananya, yon nonm ki konn fè odè, te repare pòsyon ki vin apre a. Se konsa yo te ranfòse ranpa lavil Jerizalèm lan jouk gwo miray laj la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:9 ============ Neh 3:9 And next unto them repaired Rephaiah the son of Hur, the ruler of the half part of Jerusalem.(KJV-1611) Neh 3:9 Refaja, pitit gason Our la, chèf mwatye lavil Jerizalèm, te repare pòsyon ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:10 ============ Neh 3:10 And next unto them repaired Jedaiah the son of Harumaph, even over against his house. And next unto him repaired Hattush the son of Hashabniah.(KJV-1611) Neh 3:10 Jedaya, pitit gason Awoumaf, te rebati pòsyon miray ki devan lakay li a. Atouch, pitit gason Achabneja a, rebati pòsyon ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:11 ============ Neh 3:11 Malchijah the son of Harim, and Hashub the son of Pahathmoab, repaired the other piece, and the tower of the furnaces.(KJV-1611) Neh 3:11 Malkija, pitit gason Arim lan, ak Achoub, pitit gason Pakat Moab la, te repare tou pòsyon ki vin apre a, jouk Fò Founacho a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:12 ============ Neh 3:12 And next unto him repaired Shallum the son of Halohesh, the ruler of the half part of Jerusalem, he and his daughters.(KJV-1611) Neh 3:12 Chaloum, pitit gason Aloèch la, chèf lòt mwatye lavil Jerizalèm la, te rebati pòsyon ki vin apre a. Pitit fi li yo te ede l' nan travay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:13 ============ Neh 3:13 The valley gate repaired Hanun, and the inhabitants of Zanoah; they built it, and set up the doors thereof, the locks thereof, and the bars thereof, and a thousand cubits on the wall unto the dung gate.(KJV-1611) Neh 3:13 Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:14 ============ Neh 3:14 But the dung gate repaired Malchiah the son of Rechab, the ruler of part of Bethhaccerem; he built it, and set up the doors thereof, the locks thereof, and the bars thereof.(KJV-1611) Neh 3:14 Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:15 ============ Neh 3:15 But the gate of the fountain repaired Shallun the son of Colhozeh, the ruler of part of Mizpah; he built it, and covered it, and set up the doors thereof, the locks thereof, and the bars thereof, and the wall of the pool of Siloah by the king's garden, and unto the stairs that go down from the city of David.(KJV-1611) Neh 3:15 Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:16 ============ Neh 3:16 After him repaired Nehemiah the son of Azbuk, the ruler of the half part of Bethzur, unto the place over against the sepulchres of David, and to the pool that was made, and unto the house of the mighty.(KJV-1611) Neh 3:16 Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:17 ============ Neh 3:17 After him repaired the Levites, Rehum the son of Bani. Next unto him repaired Hashabiah, the ruler of the half part of Keilah, in his part.(KJV-1611) Neh 3:17 Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:18 ============ Neh 3:18 After him repaired their brethren, Bavai the son of Henadad, the ruler of the half part of Keilah.(KJV-1611) Neh 3:18 Bavayi, pitit gason Enadad, ki te chèf lòt mwatye lavil Keyla a, te rebati pòsyon ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:19 ============ Neh 3:19 And next to him repaired Ezer the son of Jeshua, the ruler of Mizpah, another piece over against the going up to the armoury at the turning of the wall.(KJV-1611) Neh 3:19 Ezè, pitit gason Jechwa a, chèf lavil Mispa, repare yon dezyèm lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, anfas kote pou moute lasnal la, nan direksyon kwen miray ranpa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:20 ============ Neh 3:20 After him Baruch the son of Zabbai earnestly repaired the other piece, from the turning of the wall unto the door of the house of Eliashib the high priest.(KJV-1611) Neh 3:20 Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:21 ============ Neh 3:21 After him repaired Meremoth the son of Urijah the son of Koz another piece, from the door of the house of Eliashib even to the end of the house of Eliashib.(KJV-1611) Neh 3:21 Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:22 ============ Neh 3:22 And after him repaired the priests, the men of the plain.(KJV-1611) Neh 3:22 Men non prèt ki te ede nan rebati miray ranpa lavil Jerizalèm lan tou. Prèt ki rete nan tout zòn bò lavil la rebati pòsyon miray ki vin apre kay Elyachib la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:23 ============ Neh 3:23 After him repaired Benjamin and Hashub over against their house. After him repaired Azariah the son of Maaseiah the son of Ananiah by his house.(KJV-1611) Neh 3:23 Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:24 ============ Neh 3:24 After him repaired Binnui the son of Henadad another piece, from the house of Azariah unto the turning of the wall, even unto the corner.(KJV-1611) Neh 3:24 Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:25 ============ Neh 3:25 Palal the son of Uzai, over against the turning of the wall, and the tower which lieth out from the king's high house, that was by the court of the prison. After him Pedaiah the son of Parosh.(KJV-1611) Neh 3:25 Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:26 ============ Neh 3:26 Moreover the Nethinims dwelt in Ophel, unto the place over against the water gate toward the east, and the tower that lieth out.(KJV-1611) Neh 3:26 moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:27 ============ Neh 3:27 After them the Tekoites repaired another piece, over against the great tower that lieth out, even unto the wall of Ophel.(KJV-1611) Neh 3:27 Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:28 ============ Neh 3:28 From above the horse gate repaired the priests, every one over against his house.(KJV-1611) Neh 3:28 Yon gwoup prèt te rebati pòsyon ki vin apre a, nan direksyon nò. Chak moun te rebati pòsyon ki devan kay yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:29 ============ Neh 3:29 After them repaired Zadok the son of Immer over against his house. After him repaired also Shemaiah the son of Shechaniah, the keeper of the east gate.(KJV-1611) Neh 3:29 Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:30 ============ Neh 3:30 After him repaired Hananiah the son of Shelemiah, and Hanun the sixth son of Zalaph, another piece. After him repaired Meshullam the son of Berechiah over against his chamber.(KJV-1611) Neh 3:30 Ananya, pitit Chelemaya a, ak Anoun, sizyèm gason Zalaf la, rebati pòsyon ki vin apre a. Se te dezyèm pòsyon yo te repare. Mechoulam, pitit gason Berekya a, rebati pòsyon ki te vin apre a, anfas lakay li a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:31 ============ Neh 3:31 After him repaired Malchiah the goldsmith's son unto the place of the Nethinims, and of the merchants, over against the gate Miphkad, and to the going up of the corner.(KJV-1611) Neh 3:31 Malchiya, yon òfèv, te repare pòsyon ki vin apre a, jouk kote travayè tanp yo ak kòmèsan yo rete, anfas Pòtay Mifkad la ki bay sou tanp lan, toupre pyès chanm ki anwo kwen sou bò miray la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 3:32 ============ Neh 3:32 And between the going up of the corner unto the sheep gate repaired the goldsmiths and the merchants.(KJV-1611) Neh 3:32 Efèv yo ak kòmèsan yo te rebati pòsyon miray ki soti bò pyès chanm anwo kwen nò a rive Pòtay Mouton yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:1 ============ Neh 4:1 But it came to pass, that when Sanballat heard that we builded the wall, he was wroth, and took great indignation, and mocked the Jews.(KJV-1611) Neh 4:1 Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:2 ============ Neh 4:2 And he spake before his brethren and the army of Samaria, and said, What do these feeble Jews? will they fortify themselves? will they sacrifice? will they make an end in a day? will they revive the stones out of the heaps of the rubbish which are burned?(KJV-1611) Neh 4:2 Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:3 ============ Neh 4:3 Now Tobiah the Ammonite was by him, and he said, Even that which they build, if a fox go up, he shall even break down their stone wall.(KJV-1611) Neh 4:3 Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t'ap di: -Anhan! Y'ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l' atè!(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:4 ============ Neh 4:4 Hear, O our God; for we are despised: and turn their reproach upon their own head, and give them for a prey in the land of captivity:(KJV-1611) Neh 4:4 Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l': -O Bondye papa nou! Tande jan y'ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:5 ============ Neh 4:5 And cover not their iniquity, and let not their sin be blotted out from before thee: for they have provoked thee to anger before the builders.(KJV-1611) Neh 4:5 Pa padonnen sa yo fè ki mal. Pa janm bliye peche yo fè a, paske yo t'ap pale moun ki t'ap rebati lavil ou a mal.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:6 ============ Neh 4:6 So built we the wall; and all the wall was joined together unto the half thereof: for the people had a mind to work.(KJV-1611) Neh 4:6 Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:7 ============ Neh 4:7 But it came to pass, that when Sanballat, and Tobiah, and the Arabians, and the Ammonites, and the Ashdodites, heard that the walls of Jerusalem were made up, and that the breaches began to be stopped, then they were very wroth,(KJV-1611) Neh 4:7 Lè Sanbala ak Tobija ansanm ak moun Arabi yo, moun Amon yo ak moun Achdòd yo tande travay reparasyon miray ranpa lavil Jerizalèm yo t'ap mache, epi twou ki te nan miray yo te konmanse bouche, yo fè gwo kòlè, yo fache.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:8 ============ Neh 4:8 And conspired all of them together to come and to fight against Jerusalem, and to hinder it.(KJV-1611) Neh 4:8 Yo mete tèt yo ansanm pou yo vin atake lavil Jerizalèm, pou yo bay pwoblèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:9 ============ Neh 4:9 Nevertheless we made our prayer unto our God, and set a watch against them day and night, because of them.(KJV-1611) Neh 4:9 Men, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:10 ============ Neh 4:10 And Judah said, The strength of the bearers of burdens is decayed, and there is much rubbish; so that we are not able to build the wall.(KJV-1611) Neh 4:10 Men, moun peyi Jida yo t'ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n' netwaye! Nou p'ap janm fin rebati miray sa a!(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:11 ============ Neh 4:11 And our adversaries said, They shall not know, neither see, till we come in the midst among them, and slay them, and cause the work to cease.(KJV-1611) Neh 4:11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t'ap di: -San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n'ap gen tan nan mitan yo. N'ap masakre yo, n'ap fè travay la sispann.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:12 ============ Neh 4:12 And it came to pass, that when the Jews which dwelt by them came, they said unto us ten times, From all places whence ye shall return unto us they will be upon you.(KJV-1611) Neh 4:12 Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t'ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:13 ============ Neh 4:13 Therefore set I in the lower places behind the wall, and on the higher places, I even set the people after their families with their swords, their spears, and their bows.(KJV-1611) Neh 4:13 Lè konsa, mwen ranje pèp la dèyè ranpa a, chak fanmi apa, avèk nepe yo, frenn yo ak banza yo. Mwen mete yo kote miray la pa t' ankò fini an.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:14 ============ Neh 4:14 And I looked, and rose up, and said unto the nobles, and to the rulers, and to the rest of the people, Be not ye afraid of them: remember the LORD, which is great and terrible, and fight for your brethren, your sons, and your daughters, your wives, and your houses.(KJV-1611) Neh 4:14 Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:15 ============ Neh 4:15 And it came to pass, when our enemies heard that it was known unto us, and God had brought their counsel to nought, that we returned all of us to the wall, every one unto his work.(KJV-1611) Neh 4:15 Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:16 ============ Neh 4:16 And it came to pass from that time forth, that the half of my servants wrought in the work, and the other half of them held both the spears, the shields, and the bows, and the habergeons; and the rulers were behind all the house of Judah.(KJV-1611) Neh 4:16 Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:17 ============ Neh 4:17 They which builded on the wall, and they that bare burdens, with those that laded, every one with one of his hands wrought in the work, and with the other hand held a weapon.(KJV-1611) Neh 4:17 ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:18 ============ Neh 4:18 For the builders, every one had his sword girded by his side, and so builded. And he that sounded the trumpet was by me.(KJV-1611) Neh 4:18 Moun ki t'ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:19 ============ Neh 4:19 And I said unto the nobles, and to the rulers, and to the rest of the people, The work is great and large, and we are separated upon the wall, one far from another.(KJV-1611) Neh 4:19 Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:20 ============ Neh 4:20 In what place therefore ye hear the sound of the trumpet, resort ye thither unto us: our God shall fight for us.(KJV-1611) Neh 4:20 Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:21 ============ Neh 4:21 So we laboured in the work: and half of them held the spears from the rising of the morning till the stars appeared.(KJV-1611) Neh 4:21 Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t'ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t'ap veye avèk zam yo nan men yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:22 ============ Neh 4:22 Likewise at the same time said I unto the people, Let every one with his servant lodge within Jerusalem, that in the night they may be a guard to us, and labour on the day.(KJV-1611) Neh 4:22 Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay.(Creole-HT) ======= Nehemiah 4:23 ============ Neh 4:23 So neither I, nor my brethren, nor my servants, nor the men of the guard which followed me, none of us put off our clothes, saving that every one put them off for washing.(KJV-1611) Neh 4:23 Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m' yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:1 ============ Neh 5:1 And there was a great cry of the people and of their wives against their brethren the Jews.(KJV-1611) Neh 5:1 Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:2 ============ Neh 5:2 For there were that said, We, our sons, and our daughters, are many: therefore we take up corn for them, that we may eat, and live.(KJV-1611) Neh 5:2 Gen en ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n' manje pou n' pa mouri grangou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:3 ============ Neh 5:3 Some also there were that said, We have mortgaged our lands, vineyards, and houses, that we might buy corn, because of the dearth.(KJV-1611) Neh 5:3 Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou setoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n' ka jwenn manje pou n' manje.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:4 ============ Neh 5:4 There were also that said, We have borrowed money for the king's tribute, and that upon our lands and vineyards.(KJV-1611) Neh 5:4 Gen lòt ankò ki t'ap di: Pou n' te ka peye taks kontribisyon pou wa a, nou te setoblije prete lajan sou jaden ak pye rezen nou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:5 ============ Neh 5:5 Yet now our flesh is as the flesh of our brethren, our children as their children: and, lo, we bring into bondage our sons and our daughters to be servants, and some of our daughters are brought unto bondage already: neither is it in our power to redeem them; for other men have our lands and vineyards.(KJV-1611) Neh 5:5 Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:6 ============ Neh 5:6 And I was very angry when I heard their cry and these words.(KJV-1611) Neh 5:6 Lè mwen menm, Neemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:7 ============ Neh 5:7 Then I consulted with myself, and I rebuked the nobles, and the rulers, and said unto them, Ye exact usury, every one of his brother. And I set a great assembly against them.(KJV-1611) Neh 5:7 Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:8 ============ Neh 5:8 And I said unto them, We after our ability have redeemed our brethren the Jews, which were sold unto the heathen; and will ye even sell your brethren? or shall they be sold unto us? Then held they their peace, and found nothing to answer.(KJV-1611) Neh 5:8 Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:9 ============ Neh 5:9 Also I said, It is not good that ye do: ought ye not to walk in the fear of our God because of the reproach of the heathen our enemies?(KJV-1611) Neh 5:9 Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:10 ============ Neh 5:10 I likewise, and my brethren, and my servants, might exact of them money and corn: I pray you, let us leave off this usury.(KJV-1611) Neh 5:10 Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m' yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:11 ============ Neh 5:11 Restore, I pray you, to them, even this day, their lands, their vineyards, their oliveyards, and their houses, also the hundredth part of the money, and of the corn, the wine, and the oil, that ye exact of them.(KJV-1611) Neh 5:11 Renmèt yo jaden yo, pye rezen yo, pye oliv yo ak kay yo touswit. Kite tou sa yo dwe nou pou yo, kit se lajan, kit se ble, kit se diven, kit se lwil.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:12 ============ Neh 5:12 Then said they, We will restore them, and will require nothing of them; so will we do as thou sayest. Then I called the priests, and took an oath of them, that they should do according to this promise.(KJV-1611) Neh 5:12 Chèf yo reponn: -Wi! N'ap fè jan ou di l' la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou. Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:13 ============ Neh 5:13 Also I shook my lap, and said, So God shake out every man from his house, and from his labour, that performeth not this promise, even thus be he shaken out, and emptied. And all the congregation said, Amen, and praised the LORD. And the people did according to this promise.(KJV-1611) Neh 5:13 Apre sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, mwen vire l' tèt anba, mwen souke l', epi mwen di: -Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l' souke l' konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l' san anyen. Tout moun ki te la yo reponn: -Amèn! Se sa menm! Se sa menm! Apre sa, yo fè lwanj Seyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:14 ============ Neh 5:14 Moreover from the time that I was appointed to be their governor in the land of Judah, from the twentieth year even unto the two and thirtieth year of Artaxerxes the king, that is, twelve years, I and my brethren have not eaten the bread of the governor.(KJV-1611) Neh 5:14 Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:15 ============ Neh 5:15 But the former governors that had been before me were chargeable unto the people, and had taken of them bread and wine, beside forty shekels of silver; yea, even their servants bare rule over the people: but so did not I, because of the fear of God.(KJV-1611) Neh 5:15 Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:16 ============ Neh 5:16 Yea, also I continued in the work of this wall, neither bought we any land: and all my servants were gathered thither unto the work.(KJV-1611) Neh 5:16 Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte ankenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m' yo te la tou nan travay miray la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:17 ============ Neh 5:17 Moreover there were at my table an hundred and fifty of the Jews and rulers, beside those that came unto us from among the heathen that are about us.(KJV-1611) Neh 5:17 Chak jou mwen te gen sansenkant moun ap manje sou menm tab avè m' lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen soti nan lòt peyi nan vwazinaj la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:18 ============ Neh 5:18 Now that which was prepared for me daily was one ox and six choice sheep; also fowls were prepared for me, and once in ten days store of all sorts of wine: yet for all this required not I the bread of the governor, because the bondage was heavy upon this people.(KJV-1611) Neh 5:18 Chak jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l', paske pèp la te gen kont chay sou do li deja.(Creole-HT) ======= Nehemiah 5:19 ============ Neh 5:19 Think upon me, my God, for good, according to all that I have done for this people.(KJV-1611) Neh 5:19 Bondye mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:1 ============ Neh 6:1 Now it came to pass when Sanballat, and Tobiah, and Geshem the Arabian, and the rest of our enemies, heard that I had builded the wall, and that there was no breach left therein; (though at that time I had not set up the doors upon the gates;)(KJV-1611) Neh 6:1 Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:2 ============ Neh 6:2 That Sanballat and Geshem sent unto me, saying, Come, let us meet together in some one of the villages in the plain of Ono. But they thought to do me mischief.(KJV-1611) Neh 6:2 Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m' yo ta renmen kontre avè m' lavil Akkefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t'ap chache yon jan pou yo fè m' mal.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:3 ============ Neh 6:3 And I sent messengers unto them, saying, I am doing a great work, so that I cannot come down: why should the work cease, whilst I leave it, and come down to you?(KJV-1611) Neh 6:3 Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M' okipe ak yon travay enpòtan, m' pa ka desann. Si m' kite travay la pou m' ale kote nou, li pral sispann.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:4 ============ Neh 6:4 Yet they sent unto me four times after this sort; and I answered them after the same manner.(KJV-1611) Neh 6:4 An kat fwa, yo voye fè m' menm envitasyon an. Chak fwa, mwen voye menm repons lan ba yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:5 ============ Neh 6:5 Then sent Sanballat his servant unto me in like manner the fifth time with an open letter in his hand;(KJV-1611) Neh 6:5 Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:6 ============ Neh 6:6 Wherein was written, It is reported among the heathen, and Gashmu saith it, that thou and the Jews think to rebel: for which cause thou buildest the wall, that thou mayest be their king, according to these words.(KJV-1611) Neh 6:6 Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k'ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m' sa. Li tande l' ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n'ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y'a nonmen wa yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:7 ============ Neh 6:7 And thou hast also appointed prophets to preach of thee at Jerusalem, saying, There is a king in Judah: and now shall it be reported to the king according to these words. Come now therefore, and let us take counsel together.(KJV-1611) Neh 6:7 Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m' pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:8 ============ Neh 6:8 Then I sent unto him, saying, There are no such things done as thou sayest, but thou feignest them out of thine own heart.(KJV-1611) Neh 6:8 Mwen voye reponn li: -Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:9 ============ Neh 6:9 For they all made us afraid, saying, Their hands shall be weakened from the work, that it be not done. Now therefore, O God, strengthen my hands.(KJV-1611) Neh 6:9 Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje!(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:10 ============ Neh 6:10 Afterward I came unto the house of Shemaiah the son of Delaiah the son of Mehetabeel, who was shut up; and he said, Let us meet together in the house of God, within the temple, and let us shut the doors of the temple: for they will come to slay thee; yea, in the night will they come to slay thee.(KJV-1611) Neh 6:10 Yon lòt jou ankò, m' te al wè Chemaja, pitit gason Delaja, pitit pitit Metabeyèl, lakay li, paske li menm li pa t' ka soti. Li di m' konsa: -Ann al nan tanp Bondye a, nan mitan kote yo mete apa pou Bondye a! Ann al kache kote yo mete apa pou Bondye a! N'a fèmen tout pòt yo byen fèmen, paske y'ap vin touye ou. Wi, aswè a menm, y'ap vin touye ou!(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:11 ============ Neh 6:11 And I said, Should such a man as I flee? and who is there, that, being as I am, would go into the temple to save his life? I will not go in.(KJV-1611) Neh 6:11 Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m' sove lavi m'. Non! Mwen pa prale!(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:12 ============ Neh 6:12 And, lo, I perceived that God had not sent him; but that he pronounced this prophecy against me: for Tobiah and Sanballat had hired him.(KJV-1611) Neh 6:12 Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:13 ============ Neh 6:13 Therefore was he hired, that I should be afraid, and do so, and sin, and that they might have matter for an evil report, that they might reproach me.(KJV-1611) Neh 6:13 Konsa, mwen ta pran nan kraponnay, mwen ta fè sa l' di m' fè a, epi mwen ta fè bagay mwen pa gen dwa fè. Yo menm, lè sa a, yo ta pran sa pou pale m' mal, yo ta fè m' wont.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:14 ============ Neh 6:14 My God, think thou upon Tobiah and Sanballat according to these their works, and on the prophetess Noadiah, and the rest of the prophets, that would have put me in fear.(KJV-1611) Neh 6:14 O Bondye mwen, pa bliye sa Tobija ak Sanbala te fè! Pa bliye Nadya, fanm ki pwofèt la, ansanm ak lòt pwofèt yo ki t'ap chache kraponnen m'!(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:15 ============ Neh 6:15 So the wall was finished in the twenty and fifth day of the month Elul, in fifty and two days.(KJV-1611) Neh 6:15 Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:16 ============ Neh 6:16 And it came to pass, that when all our enemies heard thereof, and all the heathen that were about us saw these things, they were much cast down in their own eyes: for they perceived that this work was wrought of our God.(KJV-1611) Neh 6:16 Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:17 ============ Neh 6:17 Moreover in those days the nobles of Judah sent many letters unto Tobiah, and the letters of Tobiah came unto them.(KJV-1611) Neh 6:17 Pandan tout tan sa a, chèf peyi Jida yo te kenbe kontak ak Tobija. Yonn t'ap voye lèt bay lòt.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:18 ============ Neh 6:18 For there were many in Judah sworn unto him, because he was the son in law of Shechaniah the son of Arah; and his son Johanan had taken the daughter of Meshullam the son of Berechiah.(KJV-1611) Neh 6:18 Te gen anpil moun nan peyi Jida a ki te pou Tobija paske se bofis Chekanya, pitit Arak la, li te ye. Lèfini Jokanan, pitit gason li a, te marye ak pitit fi Mechoulam, pitit Berekya a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 6:19 ============ Neh 6:19 Also they reported his good deeds before me, and uttered my words to him. And Tobiah sent letters to put me in fear.(KJV-1611) Neh 6:19 Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m', yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y' al rapòte l' tou sa m' te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:1 ============ Neh 7:1 Now it came to pass, when the wall was built, and I had set up the doors, and the porters and the singers and the Levites were appointed,(KJV-1611) Neh 7:1 Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:2 ============ Neh 7:2 That I gave my brother Hanani, and Hananiah the ruler of the palace, charge over Jerusalem: for he was a faithful man, and feared God above many.(KJV-1611) Neh 7:2 Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:3 ============ Neh 7:3 And I said unto them, Let not the gates of Jerusalem be opened until the sun be hot; and while they stand by, let them shut the doors, and bar them: and appoint watches of the inhabitants of Jerusalem, every one in his watch, and every one to be over against his house.(KJV-1611) Neh 7:3 Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:4 ============ Neh 7:4 Now the city was large and great: but the people were few therein, and the houses were not builded.(KJV-1611) Neh 7:4 Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:5 ============ Neh 7:5 And my God put into mine heart to gather together the nobles, and the rulers, and the people, that they might be reckoned by genealogy. And I found a register of the genealogy of them which came up at the first, and found written therein,(KJV-1611) Neh 7:5 Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:6 ============ Neh 7:6 These are the children of the province, that went up out of the captivity, of those that had been carried away, whom Nebuchadnezzar the king of Babylon had carried away, and came again to Jerusalem and to Judah, every one unto his city;(KJV-1611) Neh 7:6 lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:7 ============ Neh 7:7 Who came with Zerubbabel, Jeshua, Nehemiah, Azariah, Raamiah, Nahamani, Mordecai, Bilshan, Mispereth, Bigvai, Nehum, Baanah. The number, I say, of the men of the people of Israel was this;(KJV-1611) Neh 7:7 Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:8 ============ Neh 7:8 The children of Parosh, two thousand an hundred seventy and two.(KJV-1611) Neh 7:8 Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:9 ============ Neh 7:9 The children of Shephatiah, three hundred seventy and two.(KJV-1611) Neh 7:9 nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:10 ============ Neh 7:10 The children of Arah, six hundred fifty and two.(KJV-1611) Neh 7:10 nan fanmi Arak yo, sisansenkannde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:11 ============ Neh 7:11 The children of Pahathmoab, of the children of Jeshua and Joab, two thousand and eight hundred and eighteen.(KJV-1611) Neh 7:11 nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:12 ============ Neh 7:12 The children of Elam, a thousand two hundred fifty and four.(KJV-1611) Neh 7:12 nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:13 ============ Neh 7:13 The children of Zattu, eight hundred forty and five.(KJV-1611) Neh 7:13 nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:14 ============ Neh 7:14 The children of Zaccai, seven hundred and threescore.(KJV-1611) Neh 7:14 nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:15 ============ Neh 7:15 The children of Binnui, six hundred forty and eight.(KJV-1611) Neh 7:15 nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:16 ============ Neh 7:16 The children of Bebai, six hundred twenty and eight.(KJV-1611) Neh 7:16 nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:17 ============ Neh 7:17 The children of Azgad, two thousand three hundred twenty and two.(KJV-1611) Neh 7:17 nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:18 ============ Neh 7:18 The children of Adonikam, six hundred threescore and seven.(KJV-1611) Neh 7:18 nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:19 ============ Neh 7:19 The children of Bigvai, two thousand threescore and seven.(KJV-1611) Neh 7:19 nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:20 ============ Neh 7:20 The children of Adin, six hundred fifty and five.(KJV-1611) Neh 7:20 nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:21 ============ Neh 7:21 The children of Ater of Hezekiah, ninety and eight.(KJV-1611) Neh 7:21 nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:22 ============ Neh 7:22 The children of Hashum, three hundred twenty and eight.(KJV-1611) Neh 7:22 nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:23 ============ Neh 7:23 The children of Bezai, three hundred twenty and four.(KJV-1611) Neh 7:23 nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:24 ============ Neh 7:24 The children of Hariph, an hundred and twelve.(KJV-1611) Neh 7:24 nan fanmi Arif yo, sandouz moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:25 ============ Neh 7:25 The children of Gibeon, ninety and five.(KJV-1611) Neh 7:25 nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:26 ============ Neh 7:26 The men of Bethlehem and Netophah, an hundred fourscore and eight.(KJV-1611) Neh 7:26 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:27 ============ Neh 7:27 The men of Anathoth, an hundred twenty and eight.(KJV-1611) Neh 7:27 pou lavil Anatòt, sanvenntwit moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:28 ============ Neh 7:28 The men of Bethazmaveth, forty and two.(KJV-1611) Neh 7:28 pou lavil Azmavèt, karannde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:29 ============ Neh 7:29 The men of Kirjathjearim, Chephirah, and Beeroth, seven hundred forty and three.(KJV-1611) Neh 7:29 pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:30 ============ Neh 7:30 The men of Ramah and Gaba, six hundred twenty and one.(KJV-1611) Neh 7:30 pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:31 ============ Neh 7:31 The men of Michmas, an hundred and twenty and two.(KJV-1611) Neh 7:31 pou lavil Mikmas, sanvennde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:32 ============ Neh 7:32 The men of Bethel and Ai, an hundred twenty and three.(KJV-1611) Neh 7:32 pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:33 ============ Neh 7:33 The men of the other Nebo, fifty and two.(KJV-1611) Neh 7:33 pou lavil Neba, senkannde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:34 ============ Neh 7:34 The children of the other Elam, a thousand two hundred fifty and four.(KJV-1611) Neh 7:34 pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:35 ============ Neh 7:35 The children of Harim, three hundred and twenty.(KJV-1611) Neh 7:35 pou lavil Arim lan, twasanven moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:36 ============ Neh 7:36 The children of Jericho, three hundred forty and five.(KJV-1611) Neh 7:36 pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:37 ============ Neh 7:37 The children of Lod, Hadid, and Ono, seven hundred twenty and one.(KJV-1611) Neh 7:37 pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:38 ============ Neh 7:38 The children of Senaah, three thousand nine hundred and thirty.(KJV-1611) Neh 7:38 pou lavil Sena, twamil nèfsantrant moun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:39 ============ Neh 7:39 The priests: the children of Jedaiah, of the house of Jeshua, nine hundred seventy and three.(KJV-1611) Neh 7:39 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te soti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:40 ============ Neh 7:40 The children of Immer, a thousand fifty and two.(KJV-1611) Neh 7:40 nan pitit Imè yo, mil senkannde moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:41 ============ Neh 7:41 The children of Pashur, a thousand two hundred forty and seven.(KJV-1611) Neh 7:41 nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt moun,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:42 ============ Neh 7:42 The children of Harim, a thousand and seventeen.(KJV-1611) Neh 7:42 nan pitit Arim yo, mil disèt moun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:43 ============ Neh 7:43 The Levites: the children of Jeshua, of Kadmiel, and of the children of Hodevah, seventy and four.(KJV-1611) Neh 7:43 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki soti nan branch fanmi Odva a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:44 ============ Neh 7:44 The singers: the children of Asaph, an hundred forty and eight.(KJV-1611) Neh 7:44 Te gen sankarantwit sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan tanp lan, epi ki soti nan branch fanmi Asaf la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:45 ============ Neh 7:45 The porters: the children of Shallum, the children of Ater, the children of Talmon, the children of Akkub, the children of Hatita, the children of Shobai, an hundred thirty and eight.(KJV-1611) Neh 7:45 Te gen santranntwit moun ki pou sèvi gad nan pòtay tanp lan epi ki soti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:46 ============ Neh 7:46 The Nethinims: the children of Ziha, the children of Hashupha, the children of Tabbaoth,(KJV-1611) Neh 7:46 Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:47 ============ Neh 7:47 The children of Keros, the children of Sia, the children of Padon,(KJV-1611) Neh 7:47 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:48 ============ Neh 7:48 The children of Lebana, the children of Hagaba, the children of Shalmai,(KJV-1611) Neh 7:48 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:49 ============ Neh 7:49 The children of Hanan, the children of Giddel, the children of Gahar,(KJV-1611) Neh 7:49 moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:50 ============ Neh 7:50 The children of Reaiah, the children of Rezin, the children of Nekoda,(KJV-1611) Neh 7:50 moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:51 ============ Neh 7:51 The children of Gazzam, the children of Uzza, the children of Phaseah,(KJV-1611) Neh 7:51 moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:52 ============ Neh 7:52 The children of Besai, the children of Meunim, the children of Nephishesim,(KJV-1611) Neh 7:52 moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:53 ============ Neh 7:53 The children of Bakbuk, the children of Hakupha, the children of Harhur,(KJV-1611) Neh 7:53 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:54 ============ Neh 7:54 The children of Bazlith, the children of Mehida, the children of Harsha,(KJV-1611) Neh 7:54 moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:55 ============ Neh 7:55 The children of Barkos, the children of Sisera, the children of Tamah,(KJV-1611) Neh 7:55 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sisera ak moun fanmi Tamak,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:56 ============ Neh 7:56 The children of Neziah, the children of Hatipha.(KJV-1611) Neh 7:56 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:57 ============ Neh 7:57 The children of Solomon's servants: the children of Sotai, the children of Sophereth, the children of Perida,(KJV-1611) Neh 7:57 Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:58 ============ Neh 7:58 The children of Jaala, the children of Darkon, the children of Giddel,(KJV-1611) Neh 7:58 moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:59 ============ Neh 7:59 The children of Shephatiah, the children of Hattil, the children of Pochereth of Zebaim, the children of Amon.(KJV-1611) Neh 7:59 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:60 ============ Neh 7:60 All the Nethinims, and the children of Solomon's servants, were three hundred ninety and two.(KJV-1611) Neh 7:60 Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevendouz .(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:61 ============ Neh 7:61 And these were they which went up also from Telmelah, Telharesha, Cherub, Addon, and Immer: but they could not shew their father's house, nor their seed, whether they were of Israel.(KJV-1611) Neh 7:61 Men te gen yon seri moun ki soti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pa t' ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:62 ============ Neh 7:62 The children of Delaiah, the children of Tobiah, the children of Nekoda, six hundred forty and two.(KJV-1611) Neh 7:62 Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde .(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:63 ============ Neh 7:63 And of the priests: the children of Habaiah, the children of Koz, the children of Barzillai, which took one of the daughters of Barzillai the Gileadite to wife, and was called after their name.(KJV-1611) Neh 7:63 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:64 ============ Neh 7:64 These sought their register among those that were reckoned by genealogy, but it was not found: therefore were they, as polluted, put from the priesthood.(KJV-1611) Neh 7:64 Moun sa yo pa t' ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pa t' asepte yo pou prèt.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:65 ============ Neh 7:65 And the Tirshatha said unto them, that they should not eat of the most holy things, till there stood up a priest with Urim and Thummim.(KJV-1611) Neh 7:65 Gouvènè jwif la te di yo yo pa t' kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pa t' gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:66 ============ Neh 7:66 The whole congregation together was forty and two thousand three hundred and threescore,(KJV-1611) Neh 7:66 Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:67 ============ Neh 7:67 Beside their manservants and their maidservants, of whom there were seven thousand three hundred thirty and seven: and they had two hundred forty and five singing men and singing women.(KJV-1611) Neh 7:67 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:68 ============ Neh 7:68 Their horses, seven hundred thirty and six: their mules, two hundred forty and five:(KJV-1611) Neh 7:68 Te gen sètsanswasannsis milèt,(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:69 ============ Neh 7:69 Their camels, four hundred thirty and five: six thousand seven hundred and twenty asses.(KJV-1611) Neh 7:69 katsantrannsenk bourik.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:70 ============ Neh 7:70 And some of the chief of the fathers gave unto the work. The Tirshatha gave to the treasure a thousand drams of gold, fifty basons, five hundred and thirty priests' garments.(KJV-1611) Neh 7:70 Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis ons ajan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:71 ============ Neh 7:71 And some of the chief of the fathers gave to the treasure of the work twenty thousand drams of gold, and two thousand and two hundred pound of silver.(KJV-1611) Neh 7:71 Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan ons ajan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:72 ============ Neh 7:72 And that which the rest of the people gave was twenty thousand drams of gold, and two thousand pound of silver, and threescore and seven priests' garments.(KJV-1611) Neh 7:72 Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 7:73 ============ Neh 7:73 So the priests, and the Levites, and the porters, and the singers, and some of the people, and the Nethinims, and all Israel, dwelt in their cities; and when the seventh month came, the children of Israel were in their cities.(KJV-1611) Neh 7:73 Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:1 ============ Neh 8:1 And all the people gathered themselves together as one man into the street that was before the water gate; and they spake unto Ezra the scribe to bring the book of the law of Moses, which the LORD had commanded to Israel.(KJV-1611) Neh 8:1 Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:2 ============ Neh 8:2 And Ezra the priest brought the law before the congregation both of men and women, and all that could hear with understanding, upon the first day of the seventh month.(KJV-1611) Neh 8:2 Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:3 ============ Neh 8:3 And he read therein before the street that was before the water gate from the morning until midday, before the men and the women, and those that could understand; and the ears of all the people were attentive unto the book of the law.(KJV-1611) Neh 8:3 Se konsa, sou plas ki devan pòtay Dlo yo, Esdras li nan liv lalwa a pou yo, depi granmaten jouk rive midi. Tout pèp la, fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann, te louvri zòrèy yo pou yo tande sa ki te nan liv lalwa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:4 ============ Neh 8:4 And Ezra the scribe stood upon a pulpit of wood, which they had made for the purpose; and beside him stood Mattithiah, and Shema, and Anaiah, and Urijah, and Hilkiah, and Maaseiah, on his right hand; and on his left hand, Pedaiah, and Mishael, and Malchiah, and Hashum, and Hashbadana, Zechariah, and Meshullam.(KJV-1611) Neh 8:4 Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:5 ============ Neh 8:5 And Ezra opened the book in the sight of all the people; (for he was above all the people;) and when he opened it, all the people stood up:(KJV-1611) Neh 8:5 Kote Esdras te kanpe byen wo sou lestrad la, li louvri liv la devan tout moun. Lè sa a, tout pèp la leve kanpe.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:6 ============ Neh 8:6 And Ezra blessed the LORD, the great God. And all the people answered, Amen, Amen, with lifting up their hands: and they bowed their heads, and worshipped the LORD with their faces to the ground.(KJV-1611) Neh 8:6 Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:7 ============ Neh 8:7 Also Jeshua, and Bani, and Sherebiah, Jamin, Akkub, Shabbethai, Hodijah, Maaseiah, Kelita, Azariah, Jozabad, Hanan, Pelaiah, and the Levites, caused the people to understand the law: and the people stood in their place.(KJV-1611) Neh 8:7 Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:8 ============ Neh 8:8 So they read in the book in the law of God distinctly, and gave the sense, and caused them to understand the reading.(KJV-1611) Neh 8:8 Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:9 ============ Neh 8:9 And Nehemiah, which is the Tirshatha, and Ezra the priest the scribe, and the Levites that taught the people, said unto all the people, This day is holy unto the LORD your God; mourn not, nor weep. For all the people wept, when they heard the words of the law.(KJV-1611) Neh 8:9 Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi!(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:10 ============ Neh 8:10 Then he said unto them, Go your way, eat the fat, and drink the sweet, and send portions unto them for whom nothing is prepared: for this day is holy unto our LORD: neither be ye sorry; for the joy of the LORD is your strength.(KJV-1611) Neh 8:10 Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:11 ============ Neh 8:11 So the Levites stilled all the people, saying, Hold your peace, for the day is holy; neither be ye grieved.(KJV-1611) Neh 8:11 Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: -Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye!(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:12 ============ Neh 8:12 And all the people went their way to eat, and to drink, and to send portions, and to make great mirth, because they had understood the words that were declared unto them.(KJV-1611) Neh 8:12 Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:13 ============ Neh 8:13 And on the second day were gathered together the chief of the fathers of all the people, the priests, and the Levites, unto Ezra the scribe, even to understand the words of the law.(KJV-1611) Neh 8:13 Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:14 ============ Neh 8:14 And they found written in the law which the LORD had commanded by Moses, that the children of Israel should dwell in booths in the feast of the seventh month:(KJV-1611) Neh 8:14 Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:15 ============ Neh 8:15 And that they should publish and proclaim in all their cities, and in Jerusalem, saying, Go forth unto the mount, and fetch olive branches, and pine branches, and myrtle branches, and palm branches, and branches of thick trees, to make booths, as it is written.(KJV-1611) Neh 8:15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:16 ============ Neh 8:16 So the people went forth, and brought them, and made themselves booths, every one upon the roof of his house, and in their courts, and in the courts of the house of God, and in the street of the water gate, and in the street of the gate of Ephraim.(KJV-1611) Neh 8:16 Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Gen en ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Gen en ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:17 ============ Neh 8:17 And all the congregation of them that were come again out of the captivity made booths, and sat under the booths: for since the days of Jeshua the son of Nun unto that day had not the children of Israel done so. And there was very great gladness.(KJV-1611) Neh 8:17 Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete.(Creole-HT) ======= Nehemiah 8:18 ============ Neh 8:18 Also day by day, from the first day unto the last day, he read in the book of the law of God. And they kept the feast seven days; and on the eighth day was a solemn assembly, according unto the manner.(KJV-1611) Neh 8:18 Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:1 ============ Neh 9:1 Now in the twenty and fourth day of this month the children of Israel were assembled with fasting, and with sackclothes, and earth upon them.(KJV-1611) Neh 9:1 Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:2 ============ Neh 9:2 And the seed of Israel separated themselves from all strangers, and stood and confessed their sins, and the iniquities of their fathers.(KJV-1611) Neh 9:2 Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:3 ============ Neh 9:3 And they stood up in their place, and read in the book of the law of the LORD their God one fourth part of the day; and another fourth part they confessed, and worshipped the LORD their God.(KJV-1611) Neh 9:3 Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:4 ============ Neh 9:4 Then stood up upon the stairs, of the Levites, Jeshua, and Bani, Kadmiel, Shebaniah, Bunni, Sherebiah, Bani, and Chenani, and cried with a loud voice unto the LORD their God.(KJV-1611) Neh 9:4 Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:5 ============ Neh 9:5 Then the Levites, Jeshua, and Kadmiel, Bani, Hashabniah, Sherebiah, Hodijah, Shebaniah, and Pethahiah, said, Stand up and bless the LORD your God for ever and ever: and blessed be thy glorious name, which is exalted above all blessing and praise.(KJV-1611) Neh 9:5 Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:6 ============ Neh 9:6 Thou, even thou, art LORD alone; thou hast made heaven, the heaven of heavens, with all their host, the earth, and all things that are therein, the seas, and all that is therein, and thou preservest them all; and the host of heaven worshippeth thee.(KJV-1611) Neh 9:6 Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:7 ============ Neh 9:7 Thou art the LORD the God, who didst choose Abram, and broughtest him forth out of Ur of the Chaldees, and gavest him the name of Abraham;(KJV-1611) Neh 9:7 Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:8 ============ Neh 9:8 And foundest his heart faithful before thee, and madest a covenant with him to give the land of the Canaanites, the Hittites, the Amorites, and the Perizzites, and the Jebusites, and the Girgashites, to give it, I say, to his seed, and hast performed thy words; for thou art righteous:(KJV-1611) Neh 9:8 Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:9 ============ Neh 9:9 And didst see the affliction of our fathers in Egypt, and heardest their cry by the Red sea;(KJV-1611) Neh 9:9 Ou te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:10 ============ Neh 9:10 And shewedst signs and wonders upon Pharaoh, and on all his servants, and on all the people of his land: for thou knewest that they dealt proudly against them. So didst thou get thee a name, as it is this day.(KJV-1611) Neh 9:10 Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:11 ============ Neh 9:11 And thou didst divide the sea before them, so that they went through the midst of the sea on the dry land; and their persecutors thou threwest into the deeps, as a stone into the mighty waters.(KJV-1611) Neh 9:11 Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:12 ============ Neh 9:12 Moreover thou leddest them in the day by a cloudy pillar; and in the night by a pillar of fire, to give them light in the way wherein they should go.(KJV-1611) Neh 9:12 Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:13 ============ Neh 9:13 Thou camest down also upon mount Sinai, and spakest with them from heaven, and gavest them right judgments, and true laws, good statutes and commandments:(KJV-1611) Neh 9:13 Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:14 ============ Neh 9:14 And madest known unto them thy holy sabbath, and commandedst them precepts, statutes, and laws, by the hand of Moses thy servant:(KJV-1611) Neh 9:14 Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:15 ============ Neh 9:15 And gavest them bread from heaven for their hunger, and broughtest forth water for them out of the rock for their thirst, and promisedst them that they should go in to possess the land which thou hadst sworn to give them.(KJV-1611) Neh 9:15 Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:16 ============ Neh 9:16 But they and our fathers dealt proudly, and hardened their necks, and hearkened not to thy commandments,(KJV-1611) Neh 9:16 Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:17 ============ Neh 9:17 And refused to obey, neither were mindful of thy wonders that thou didst among them; but hardened their necks, and in their rebellion appointed a captain to return to their bondage: but thou art a God ready to pardon, gracious and merciful, slow to anger, and of great kindness, and forsookest them not.(KJV-1611) Neh 9:17 Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:18 ============ Neh 9:18 Yea, when they had made them a molten calf, and said, This is thy God that brought thee up out of Egypt, and had wrought great provocations;(KJV-1611) Neh 9:18 Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute soti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou!(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:19 ============ Neh 9:19 Yet thou in thy manifold mercies forsookest them not in the wilderness: the pillar of the cloud departed not from them by day, to lead them in the way; neither the pillar of fire by night, to shew them light, and the way wherein they should go.(KJV-1611) Neh 9:19 Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:20 ============ Neh 9:20 Thou gavest also thy good spirit to instruct them, and withheldest not thy manna from their mouth, and gavest them water for their thirst.(KJV-1611) Neh 9:20 Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:21 ============ Neh 9:21 Yea, forty years didst thou sustain them in the wilderness, so that they lacked nothing; their clothes waxed not old, and their feet swelled not.(KJV-1611) Neh 9:21 Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:22 ============ Neh 9:22 Moreover thou gavest them kingdoms and nations, and didst divide them into corners: so they possessed the land of Sihon, and the land of the king of Heshbon, and the land of Og king of Bashan.(KJV-1611) Neh 9:22 Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:23 ============ Neh 9:23 Their children also multipliedst thou as the stars of heaven, and broughtest them into the land, concerning which thou hadst promised to their fathers, that they should go in to possess it.(KJV-1611) Neh 9:23 Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:24 ============ Neh 9:24 So the children went in and possessed the land, and thou subduedst before them the inhabitants of the land, the Canaanites, and gavest them into their hands, with their kings, and the people of the land, that they might do with them as they would.(KJV-1611) Neh 9:24 Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l' pou yo. Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:25 ============ Neh 9:25 And they took strong cities, and a fat land, and possessed houses full of all goods, wells digged, vineyards, and oliveyards, and fruit trees in abundance: so they did eat, and were filled, and became fat, and delighted themselves in thy great goodness.(KJV-1611) Neh 9:25 Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:26 ============ Neh 9:26 Nevertheless they were disobedient, and rebelled against thee, and cast thy law behind their backs, and slew thy prophets which testified against them to turn them to thee, and they wrought great provocations.(KJV-1611) Neh 9:26 Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:27 ============ Neh 9:27 Therefore thou deliveredst them into the hand of their enemies, who vexed them: and in the time of their trouble, when they cried unto thee, thou heardest them from heaven; and according to thy manifold mercies thou gavest them saviours, who saved them out of the hand of their enemies.(KJV-1611) Neh 9:27 Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:28 ============ Neh 9:28 But after they had rest, they did evil again before thee: therefore leftest thou them in the land of their enemies, so that they had the dominion over them: yet when they returned, and cried unto thee, thou heardest them from heaven; and many times didst thou deliver them according to thy mercies;(KJV-1611) Neh 9:28 Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:29 ============ Neh 9:29 And testifiedst against them, that thou mightest bring them again unto thy law: yet they dealt proudly, and hearkened not unto thy commandments, but sinned against thy judgments, (which if a man do, he shall live in them;) and withdrew the shoulder, and hardened their neck, and would not hear.(KJV-1611) Neh 9:29 Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:30 ============ Neh 9:30 Yet many years didst thou forbear them, and testifiedst against them by thy spirit in thy prophets: yet would they not give ear: therefore gavest thou them into the hand of the people of the lands.(KJV-1611) Neh 9:30 Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:31 ============ Neh 9:31 Nevertheless for thy great mercies' sake thou didst not utterly consume them, nor forsake them; for thou art a gracious and merciful God.(KJV-1611) Neh 9:31 Men, ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt, ou pa lage yo nèt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun!(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:32 ============ Neh 9:32 Now therefore, our God, the great, the mighty, and the terrible God, who keepest covenant and mercy, let not all the trouble seem little before thee, that hath come upon us, on our kings, on our princes, and on our priests, and on our prophets, and on our fathers, and on all thy people, since the time of the kings of Assyria unto this day.(KJV-1611) Neh 9:32 Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:33 ============ Neh 9:33 Howbeit thou art just in all that is brought upon us; for thou hast done right, but we have done wickedly:(KJV-1611) Neh 9:33 Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:34 ============ Neh 9:34 Neither have our kings, our princes, our priests, nor our fathers, kept thy law, nor hearkened unto thy commandments and thy testimonies, wherewith thou didst testify against them.(KJV-1611) Neh 9:34 Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:35 ============ Neh 9:35 For they have not served thee in their kingdom, and in thy great goodness that thou gavest them, and in the large and fat land which thou gavest before them, neither turned they from their wicked works.(KJV-1611) Neh 9:35 Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo, avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a, yo pa t' sèvi ou, yo pa t' sispann fè move bagay.(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:36 ============ Neh 9:36 Behold, we are servants this day, and for the land that thou gavest unto our fathers to eat the fruit thereof and the good thereof, behold, we are servants in it:(KJV-1611) Neh 9:36 Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:37 ============ Neh 9:37 And it yieldeth much increase unto the kings whom thou hast set over us because of our sins: also they have dominion over our bodies, and over our cattle, at their pleasure, and we are in great distress.(KJV-1611) Neh 9:37 Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!(Creole-HT) ======= Nehemiah 9:38 ============ Neh 9:38 And because of all this we make a sure covenant, and write it; and our princes, Levites, and priests, seal unto it.(KJV-1611) Neh 9:38 Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:1 ============ Neh 10:1 Now those that sealed were, Nehemiah, the Tirshatha, the son of Hachaliah, and Zidkijah,(KJV-1611) Neh 10:1 Premye moun ki siyen dokiman sele a se te gouvènè Neemi, pitit gason Akalya a. Apre li, Sidkiya vin siyen.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:2 ============ Neh 10:2 Seraiah, Azariah, Jeremiah,(KJV-1611) Neh 10:2 Men non pret ki te siyen dokiman an: Seraja, Azarya, Jiremeja,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:3 ============ Neh 10:3 Pashur, Amariah, Malchijah,(KJV-1611) Neh 10:3 Pachou, Amarya, Malkija,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:4 ============ Neh 10:4 Hattush, Shebaniah, Malluch,(KJV-1611) Neh 10:4 Atouch, Chebanya, Malouk,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:5 ============ Neh 10:5 Harim, Meremoth, Obadiah,(KJV-1611) Neh 10:5 Arim, Meremòt, Obadya,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:6 ============ Neh 10:6 Daniel, Ginnethon, Baruch,(KJV-1611) Neh 10:6 Danyèl, Gineton, Bawouk,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:7 ============ Neh 10:7 Meshullam, Abijah, Mijamin,(KJV-1611) Neh 10:7 Mechoulam, Abija, Mijamen,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:8 ============ Neh 10:8 Maaziah, Bilgai, Shemaiah: these were the priests.(KJV-1611) Neh 10:8 Maazya, Bilgayi ak Chemaja.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:9 ============ Neh 10:9 And the Levites: both Jeshua the son of Azaniah, Binnui of the sons of Henadad, Kadmiel;(KJV-1611) Neh 10:9 Apre yo vin moun Levi yo: Jozye, pitit gason Azanya, Bennwi, moun fanmi Enadad la, Kadmyèl,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:10 ============ Neh 10:10 And their brethren, Shebaniah, Hodijah, Kelita, Pelaiah, Hanan,(KJV-1611) Neh 10:10 ak lòt moun Levi parèy yo: Chekanya, Odija, Kelita, Pelaja, Anan,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:11 ============ Neh 10:11 Micha, Rehob, Hashabiah,(KJV-1611) Neh 10:11 Miche, Reyòb, Achabya,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:12 ============ Neh 10:12 Zaccur, Sherebiah, Shebaniah,(KJV-1611) Neh 10:12 Zakou, Cherebya, Chebanya,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:13 ============ Neh 10:13 Hodijah, Bani, Beninu.(KJV-1611) Neh 10:13 Odija, Bani ak Kenani.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:14 ============ Neh 10:14 The chief of the people; Parosh, Pahathmoab, Elam, Zatthu, Bani,(KJV-1611) Neh 10:14 Apre yo se te chèf pèp la: Pareòch, Pakat Moab, Elam, Zatou, Bani,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:15 ============ Neh 10:15 Bunni, Azgad, Bebai,(KJV-1611) Neh 10:15 Bouni, Azgad, Bebayi,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:16 ============ Neh 10:16 Adonijah, Bigvai, Adin,(KJV-1611) Neh 10:16 Adonija, Bigvayi, Adin,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:17 ============ Neh 10:17 Ater, Hizkijah, Azzur,(KJV-1611) Neh 10:17 Atè, Ezekyas. Azou,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:18 ============ Neh 10:18 Hodijah, Hashum, Bezai,(KJV-1611) Neh 10:18 Odija, Achoum, Betsayi,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:19 ============ Neh 10:19 Hariph, Anathoth, Nebai,(KJV-1611) Neh 10:19 Arif, Anatòt, Nebayi,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:20 ============ Neh 10:20 Magpiash, Meshullam, Hezir,(KJV-1611) Neh 10:20 Magpyach, Mechoulam, Ezi,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:21 ============ Neh 10:21 Meshezabeel, Zadok, Jaddua,(KJV-1611) Neh 10:21 Michezabèl, Tsadòk, Yadwa,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:22 ============ Neh 10:22 Pelatiah, Hanan, Anaiah,(KJV-1611) Neh 10:22 Pelatya, Anan, Anaja,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:23 ============ Neh 10:23 Hoshea, Hananiah, Hashub,(KJV-1611) Neh 10:23 Oze, Ananya, Achoub,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:24 ============ Neh 10:24 Hallohesh, Pileha, Shobek,(KJV-1611) Neh 10:24 Alochèch, Pilba, Chobèk,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:25 ============ Neh 10:25 Rehum, Hashabnah, Maaseiah,(KJV-1611) Neh 10:25 Reyoum, Achabna, Maseja,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:26 ============ Neh 10:26 And Ahijah, Hanan, Anan,(KJV-1611) Neh 10:26 Akija, Ranan, Anan,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:27 ============ Neh 10:27 Malluch, Harim, Baanah.(KJV-1611) Neh 10:27 Malouk, Arim ak Bana.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:28 ============ Neh 10:28 And the rest of the people, the priests, the Levites, the porters, the singers, the Nethinims, and all they that had separated themselves from the people of the lands unto the law of God, their wives, their sons, and their daughters, every one having knowledge, and having understanding;(KJV-1611) Neh 10:28 Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann,(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:29 ============ Neh 10:29 They clave to their brethren, their nobles, and entered into a curse, and into an oath, to walk in God's law, which was given by Moses the servant of God, and to observe and do all the commandments of the LORD our Lord, and his judgments and his statutes;(KJV-1611) Neh 10:29 nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:30 ============ Neh 10:30 And that we would not give our daughters unto the people of the land, not take their daughters for our sons:(KJV-1611) Neh 10:30 Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:31 ============ Neh 10:31 And if the people of the land bring ware or any victuals on the sabbath day to sell, that we would not buy it of them on the sabbath, or on the holy day: and that we would leave the seventh year, and the exaction of every debt.(KJV-1611) Neh 10:31 Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:32 ============ Neh 10:32 Also we made ordinances for us, to charge ourselves yearly with the third part of a shekel for the service of the house of our God;(KJV-1611) Neh 10:32 Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:33 ============ Neh 10:33 For the shewbread, and for the continual meat offering, and for the continual burnt offering, of the sabbaths, of the new moons, for the set feasts, and for the holy things, and for the sin offerings to make an atonement for Israel, and for all the work of the house of our God.(KJV-1611) Neh 10:33 N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:34 ============ Neh 10:34 And we cast the lots among the priests, the Levites, and the people, for the wood offering, to bring it into the house of our God, after the houses of our fathers, at times appointed year by year, to burn upon the altar of the LORD our God, as it is written in the law:(KJV-1611) Neh 10:34 Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:35 ============ Neh 10:35 And to bring the firstfruits of our ground, and the firstfruits of all fruit of all trees, year by year, unto the house of the LORD:(KJV-1611) Neh 10:35 Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:36 ============ Neh 10:36 Also the firstborn of our sons, and of our cattle, as it is written in the law, and the firstlings of our herds and of our flocks, to bring to the house of our God, unto the priests that minister in the house of our God:(KJV-1611) Neh 10:36 Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:37 ============ Neh 10:37 And that we should bring the firstfruits of our dough, and our offerings, and the fruit of all manner of trees, of wine and of oil, unto the priests, to the chambers of the house of our God; and the tithes of our ground unto the Levites, that the same Levites might have the tithes in all the cities of our tillage.(KJV-1611) Neh 10:37 Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:38 ============ Neh 10:38 And the priest the son of Aaron shall be with the Levites, when the Levites take tithes: and the Levites shall bring up the tithe of the tithes unto the house of our God, to the chambers, into the treasure house.(KJV-1611) Neh 10:38 Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 10:39 ============ Neh 10:39 For the children of Israel and the children of Levi shall bring the offering of the corn, of the new wine, and the oil, unto the chambers, where are the vessels of the sanctuary, and the priests that minister, and the porters, and the singers: and we will not forsake the house of our God.(KJV-1611) Neh 10:39 Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:1 ============ Neh 11:1 And the rulers of the people dwelt at Jerusalem: the rest of the people also cast lots, to bring one of ten to dwell in Jerusalem the holy city, and nine parts to dwell in other cities.(KJV-1611) Neh 11:1 Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:2 ============ Neh 11:2 And the people blessed all the men, that willingly offered themselves to dwell at Jerusalem.(KJV-1611) Neh 11:2 Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:3 ============ Neh 11:3 Now these are the chief of the province that dwelt in Jerusalem: but in the cities of Judah dwelt every one in his possession in their cities, to wit, Israel, the priests, and the Levites, and the Nethinims, and the children of Solomon's servants.(KJV-1611) Neh 11:3 Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:4 ============ Neh 11:4 And at Jerusalem dwelt certain of the children of Judah, and of the children of Benjamin. Of the children of Judah; Athaiah the son of Uzziah, the son of Zechariah, the son of Amariah, the son of Shephatiah, the son of Mahalaleel, of the children of Perez;(KJV-1611) Neh 11:4 Moun branch fanmi Jida yo ak moun branch fanmi Benjamen yo te rete lavil Jerizalèm. Nan moun Jida yo te gen Ataja, pitit gason Ouzija. Ouzija sa a te pitit Zekaraya, Zekaraya te pitit Amarya, Amarya te pitit Chefatya, Chefatya te pitit Maleyèl, Maleyèl te pitit Perès.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:5 ============ Neh 11:5 And Maaseiah the son of Baruch, the son of Colhozeh, the son of Hazaiah, the son of Adaiah, the son of Joiarib, the son of Zechariah, the son of Shiloni.(KJV-1611) Neh 11:5 Te gen Maseya, pitit gason Bawouk. Bawouk sa a te pitit Kòloze, Kòloze te pitit Azaja, Azaja te pitit Adaja, Adaja te pitit Jojarib. Jojarib te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Chela.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:6 ============ Neh 11:6 All the sons of Perez that dwelt at Jerusalem were four hundred threescore and eight valiant men.(KJV-1611) Neh 11:6 Antou te gen katsanswasanntwit vanyan gason, moun fanmi Perès, ki te tabli lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:7 ============ Neh 11:7 And these are the sons of Benjamin; Sallu the son of Meshullam, the son of Joed, the son of Pedaiah, the son of Kolaiah, the son of Maaseiah, the son of Ithiel, the son of Jesaiah.(KJV-1611) Neh 11:7 Nan moun Benjamen yo te gen Salou, pitit gason Mechoulam. Mechoulam sa a te pitit Joèd, Joèd te pitit Pedaja, Pedaja te pitit Kolaja, Kolaja te pitit Maseja, Maseja te pitit Ityèl, Ityèl te pitit Jechaja.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:8 ============ Neh 11:8 And after him Gabbai, Sallai, nine hundred twenty and eight.(KJV-1611) Neh 11:8 Te gen Gabayi ak Salayi, fanmi Salou tou. Antou te gen nèfsanvenntwit moun Benjamen ki t'ap viv lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:9 ============ Neh 11:9 And Joel the son of Zichri was their overseer: and Judah the son of Senuah was second over the city.(KJV-1611) Neh 11:9 Se Joèl, pitit Zikri, ki te chèf yo. Jeouda, pitit gason Asenwa a, te dezyèm chèf nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:10 ============ Neh 11:10 Of the priests: Jedaiah the son of Joiarib, Jachin.(KJV-1611) Neh 11:10 Men prèt ki t'ap viv nan lavil la: Pou konmanse, te gen Jedaja, pitit gason Jojarib lan ak Jaken.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:11 ============ Neh 11:11 Seraiah the son of Hilkiah, the son of Meshullam, the son of Zadok, the son of Meraioth, the son of Ahitub, was the ruler of the house of God.(KJV-1611) Neh 11:11 Te gen Seraja, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Akitoub. Se li menm Akitoub yo te chwazi pou sèvi granprèt nan tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:12 ============ Neh 11:12 And their brethren that did the work of the house were eight hundred twenty and two: and Adaiah the son of Jeroham, the son of Pelaliah, the son of Amzi, the son of Zechariah, the son of Pashur, the son of Malchiah.(KJV-1611) Neh 11:12 Antou te gen wisanvennde moun nan fanmi sa a ki t'ap travay nan tanp lan. Te gen Adaja, pitit gason Jeworam. Jeworam sa a te pitit Pelaja, Pelaja te pitit Amsi, Amsi te pitit Zekarya, Zekarya te pitit Pachou, Pachou te pitit Malkija.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:13 ============ Neh 11:13 And his brethren, chief of the fathers, two hundred forty and two: and Amashai the son of Azareel, the son of Ahasai, the son of Meshillemoth, the son of Immer,(KJV-1611) Neh 11:13 Antou te gen desankarannde moun nan branch fanmi sa a ki te chèf fanmi. Te gen Amasayi, pitit gason Azareyèl. Azareyèl sa a te pitit Aksayi, Aksayi te pitit Mechilemòt, Mechilemòt te pitit Imè.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:14 ============ Neh 11:14 And their brethren, mighty men of valour, an hundred twenty and eight: and their overseer was Zabdiel, the son of one of the great men.(KJV-1611) Neh 11:14 Te gen antou sanvenntwit vanyan gason nan branch fanmi sa a. Se Zabdyèl, pitit gason Agadòl, ki te chèf yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:15 ============ Neh 11:15 Also of the Levites: Shemaiah the son of Hashub, the son of Azrikam, the son of Hashabiah, the son of Bunni;(KJV-1611) Neh 11:15 Nan moun Levi ki te rete nan lavil la, te gen Chemaja, pitit gason Achoub. Achoub sa a te pitit Azrikam, Azrikam te pitit Achabya, Achabya te pitit Bouni.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:16 ============ Neh 11:16 And Shabbethai and Jozabad, of the chief of the Levites, had the oversight of the outward business of the house of God.(KJV-1611) Neh 11:16 Te gen Chabtayi ak Jozabad tou, de nan chèf moun Levi yo ki te reskonsab pou regle tout zafè tanp lan avèk lòt moun deyò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:17 ============ Neh 11:17 And Mattaniah the son of Micha, the son of Zabdi, the son of Asaph, was the principal to begin the thanksgiving in prayer: and Bakbukiah the second among his brethren, and Abda the son of Shammua, the son of Galal, the son of Jeduthun.(KJV-1611) Neh 11:17 Te gen Matanya, pitit gason Mika. Mika sa a te pitit Zabadi, Zabadi te pitit Asaf. Se Matanya ki te konn voye chante yo, se li ki te konn konmanse kantik pou di Bondye mèsi lè yo t'ap lapriyè. Te gen Bakboukya, ki te asistan Matanya, ak Abda, pitit gason Chamwa. Chamwa sa a te pitit Galal, Galal te pitit Jedoutoun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:18 ============ Neh 11:18 All the Levites in the holy city were two hundred fourscore and four.(KJV-1611) Neh 11:18 Antou te gen desankatrevennèf moun Levi nan lavil Bondye a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:19 ============ Neh 11:19 Moreover the porters, Akkub, Talmon, and their brethren that kept the gates, were an hundred seventy and two.(KJV-1611) Neh 11:19 Nan moun k'ap fè pòs nan pòtay tanp yo te gen Akoub, Talmon ak lòt fanmi yo. Antou te gen sanswasanndouz gad.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:20 ============ Neh 11:20 And the residue of Israel, of the priests, and the Levites, were in all the cities of Judah, every one in his inheritance.(KJV-1611) Neh 11:20 Rès pèp la ak lòt prèt yo ak moun Levi yo t'ap viv sou pòsyon tè fanmi yo nan lòt lavil peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:21 ============ Neh 11:21 But the Nethinims dwelt in Ophel: and Ziha and Gispa were over the Nethinims.(KJV-1611) Neh 11:21 Travayè tanp yo t'ap viv nan katye lavil Jerizalèm yo rele Ofèl la. Se Zicha ak Gichpa ki te chèf travayè yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:22 ============ Neh 11:22 The overseer also of the Levites at Jerusalem was Uzzi the son of Bani, the son of Hashabiah, the son of Mattaniah, the son of Micha. Of the sons of Asaph, the singers were over the business of the house of God.(KJV-1611) Neh 11:22 Chèf moun Levi lavil Jerizalèm yo te rele Ouzi, pitit gason Bani. Bani sa a te pitit Achabya, Achabya te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika. Ouzi te fè pati branch fanmi Asaf. Se yo ki te reskonsab jwe mizik nan sèvis Tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:23 ============ Neh 11:23 For it was the king's commandment concerning them, that a certain portion should be for the singers, due for every day.(KJV-1611) Neh 11:23 Se wa a menm ki te bay lòd sa a. Te gen yon regleman tou ki te mande pou mizisyen sa yo te fè woulman nan travay yo yonn apre lòt, yon jou pou chak moun.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:24 ============ Neh 11:24 And Pethahiah the son of Meshezabeel, of the children of Zerah the son of Judah, was at the king's hand in all matters concerning the people.(KJV-1611) Neh 11:24 Se Petachya, pitit gason Mechezabeyèl, moun Zerak nan branch fanmi Jida a, yo te nonmen delege lakay wa a pou regle tout zafè pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:25 ============ Neh 11:25 And for the villages, with their fields, some of the children of Judah dwelt at Kirjatharba, and in the villages thereof, and at Dibon, and in the villages thereof, and at Jekabzeel, and in the villages thereof,(KJV-1611) Neh 11:25 Anpil moun t'ap viv nan ti bouk yo, nan mitan jaden yo. Moun branch fanmi Jida yo te rete nan lavil Kiriyat Aba ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Dibon ak nan bouk ki te sou kont li yo, nan lavil Jekabzel ak nan bouk ki te sou kont li yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:26 ============ Neh 11:26 And at Jeshua, and at Moladah, and at Bethphelet,(KJV-1611) Neh 11:26 Yo te rete tou nan lavil Jechwa, lavil Molada, lavil Bèt-Pelèt,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:27 ============ Neh 11:27 And at Hazarshual, and at Beersheba, and in the villages thereof,(KJV-1611) Neh 11:27 lavil Azachwal, lavil Becheba ak nan ti bouk ki te sou kont li yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:28 ============ Neh 11:28 And at Ziklag, and at Mekonah, and in the villages thereof,(KJV-1611) Neh 11:28 Yo te rete nan lavil Ziklag, nan lavil Mekona ak nan ti bouk ki te sou kont li yo,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:29 ============ Neh 11:29 And at Enrimmon, and at Zareah, and at Jarmuth,(KJV-1611) Neh 11:29 nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:30 ============ Neh 11:30 Zanoah, Adullam, and in their villages, at Lachish, and the fields thereof, at Azekah, and in the villages thereof. And they dwelt from Beersheba unto the valley of Hinnom.(KJV-1611) Neh 11:30 nan lavil Zanoa, nan lavil Adoulam ak nan ti katye ki te sou kont yo. Yo te rete lavil Lakis ak nan jaden ki toupre lavil la, nan lavil Azèka ak nan ti bouk ki te sou kont li yo. Se konsa moun fanmi Jida yo te rete nan teritwa ki konmanse nan sid bò lavil Bècheba a pou rive nan nò jouk Fon Inon, bò lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:31 ============ Neh 11:31 The children also of Benjamin from Geba dwelt at Michmash, and Aija, and Bethel, and in their villages.(KJV-1611) Neh 11:31 Moun fanmi Benjamen yo te rete nan lavil Geba, lavil Mikmach, lavil Aja, lavil Betèl ak nan ti bouk ki te sou kont yo,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:32 ============ Neh 11:32 And at Anathoth, Nob, Ananiah,(KJV-1611) Neh 11:32 lavil Anatòt, lavil Nòb, lavil Ananya,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:33 ============ Neh 11:33 Hazor, Ramah, Gittaim,(KJV-1611) Neh 11:33 lavil Azò, lavil Rama, lavil Gitayim,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:34 ============ Neh 11:34 Hadid, Zeboim, Neballat,(KJV-1611) Neh 11:34 lavil Adid, lavil Zeboyim, lavil Nebalat,(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:35 ============ Neh 11:35 Lod, and Ono, the valley of craftsmen.(KJV-1611) Neh 11:35 lavil Lòd, lavil Ono ak nan Fon Atizan yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 11:36 ============ Neh 11:36 And of the Levites were divisions in Judah, and in Benjamin.(KJV-1611) Neh 11:36 Te gen kèk moun Levi ki te rete nan teritwa moun Jida yo, yo voye yo al rete nan teritwa moun Benjamen yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:1 ============ Neh 12:1 Now these are the priests and the Levites that went up with Zerubbabel the son of Shealtiel, and Jeshua: Seraiah, Jeremiah, Ezra,(KJV-1611) Neh 12:1 Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen nan peyi a ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye. Men non prèt yo: Seraja, Jirimeja, Esdras,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:2 ============ Neh 12:2 Amariah, Malluch, Hattush,(KJV-1611) Neh 12:2 Amarya, Malouk, Atouch,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:3 ============ Neh 12:3 Shechaniah, Rehum, Meremoth,(KJV-1611) Neh 12:3 Chekanya, Reyoum, Meremòt,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:4 ============ Neh 12:4 Iddo, Ginnetho, Abijah,(KJV-1611) Neh 12:4 Ido, Ginetoyi, Abija,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:5 ============ Neh 12:5 Miamin, Maadiah, Bilgah,(KJV-1611) Neh 12:5 Mijamen, Maadya, Bilga,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:6 ============ Neh 12:6 Shemaiah, and Joiarib, Jedaiah,(KJV-1611) Neh 12:6 Chemaja, Jojarib, Jedaja,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:7 ============ Neh 12:7 Sallu, Amok, Hilkiah, Jedaiah. These were the chief of the priests and of their brethren in the days of Jeshua.(KJV-1611) Neh 12:7 Salou, Amòk, Ilkija ak Jedaja. Mesye sa yo te chèf prèt yo nan tan Jozye. Ni yo ni prèt yo te soti nan yon sèl fanmi.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:8 ============ Neh 12:8 Moreover the Levites: Jeshua, Binnui, Kadmiel, Sherebiah, Judah, and Mattaniah, which was over the thanksgiving, he and his brethren.(KJV-1611) Neh 12:8 Men non moun Levi yo: Te gen yon premye gwoup ki te reskonsab chante kantik pou di Bondye mèsi. Se te Jozye, Bennwi, Kadmyèl, Cherebya, Jeouda ak Natanya.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:9 ============ Neh 12:9 Also Bakbukiah and Unni, their brethren, were over against them in the watches.(KJV-1611) Neh 12:9 Te gen yon lòt gwoup ki te kanpe anfas yo pou reponn yo lè y'ap chante. Se te Bakboukya, Ouni ak lòt moun Levi menm fanmi ak yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:10 ============ Neh 12:10 And Jeshua begat Joiakim, Joiakim also begat Eliashib, and Eliashib begat Joiada,(KJV-1611) Neh 12:10 Jozye te papa Jojakim, Jojakim te papa Elyachib, Elyachib te papa Jojada,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:11 ============ Neh 12:11 And Joiada begat Jonathan, and Jonathan begat Jaddua.(KJV-1611) Neh 12:11 Jojada te papa Jonatan, Jonatan te papa Jadwa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:12 ============ Neh 12:12 And in the days of Joiakim were priests, the chief of the fathers: of Seraiah, Meraiah; of Jeremiah, Hananiah;(KJV-1611) Neh 12:12 Lè Jojakim te granprèt, men moun ki te chèf branch fanmi prèt yo: Meraja, chèf branch fanmi Seraja a, Ananya, chèf branch fanmi Jirimeja a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:13 ============ Neh 12:13 Of Ezra, Meshullam; of Amariah, Jehohanan;(KJV-1611) Neh 12:13 Mechoulam, chèf branch fanmi Esdras la, Jokanan, chèf branch fanmi Amarya a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:14 ============ Neh 12:14 Of Melicu, Jonathan; of Shebaniah, Joseph;(KJV-1611) Neh 12:14 Jonatan, chèf branch fanmi Melikou a, Jozèf, chèf branch fanmi Chebanya a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:15 ============ Neh 12:15 Of Harim, Adna; of Meraioth, Helkai;(KJV-1611) Neh 12:15 Adna, chèf branch fanmi Arim lan, Elkayi, chèf branch fanmi Merayòt la,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:16 ============ Neh 12:16 Of Iddo, Zechariah; of Ginnethon, Meshullam;(KJV-1611) Neh 12:16 Zekarya, chèf branch fanmi Ido a, Mechoulam, chèf branch fanmi Gineton an,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:17 ============ Neh 12:17 Of Abijah, Zichri; of Miniamin, of Moadiah, Piltai:(KJV-1611) Neh 12:17 Zikri, chèf branch fanmi Abija a, ...chèf branch fanmi Minyamen, Piltayi, chèf branch fanmi Moadya a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:18 ============ Neh 12:18 Of Bilgah, Shammua; of Shemaiah, Jehonathan;(KJV-1611) Neh 12:18 Chamwa, chèf branch fanmi Bilga a, Jonatan, chèf branch fanmi Chemaja a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:19 ============ Neh 12:19 And of Joiarib, Mattenai; of Jedaiah, Uzzi;(KJV-1611) Neh 12:19 Matenayi, chèf branch fanmi Jojarib la, Ouzi, chèf branch fanmi Jedaja a,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:20 ============ Neh 12:20 Of Sallai, Kallai; of Amok, Eber;(KJV-1611) Neh 12:20 Kalayi, chèf branch fanmi Salou a, Ebè, chèf branch fanmi Amòk la,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:21 ============ Neh 12:21 Of Hilkiah, Hashabiah; of Jedaiah, Nethaneel.(KJV-1611) Neh 12:21 Achabya, chèf branch fanmi Ilkija a, Netaneèl, chèf branch fanmi Jedaja a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:22 ============ Neh 12:22 The Levites in the days of Eliashib, Joiada, and Johanan, and Jaddua, were recorded chief of the fathers: also the priests, to the reign of Darius the Persian.(KJV-1611) Neh 12:22 Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t'ap gouvènen peyi Pès la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:23 ============ Neh 12:23 The sons of Levi, the chief of the fathers, were written in the book of the chronicles, even until the days of Johanan the son of Eliashib.(KJV-1611) Neh 12:23 Pou branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:24 ============ Neh 12:24 And the chief of the Levites: Hashabiah, Sherebiah, and Jeshua the son of Kadmiel, with their brethren over against them, to praise and to give thanks, according to the commandment of David the man of God, ward over against ward.(KJV-1611) Neh 12:24 Chèf moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Seyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:25 ============ Neh 12:25 Mattaniah, and Bakbukiah, Obadiah, Meshullam, Talmon, Akkub, were porters keeping the ward at the thresholds of the gates.(KJV-1611) Neh 12:25 Men non moun ki t'ap sèvi tankou gad pòtay tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay tanp lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:26 ============ Neh 12:26 These were in the days of Joiakim the son of Jeshua, the son of Jozadak, and in the days of Nehemiah the governor, and of Ezra the priest, the scribe.(KJV-1611) Neh 12:26 Moun sa yo t'ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neemi t'ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te direktè lalwa a, tou.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:27 ============ Neh 12:27 And at the dedication of the wall of Jerusalem they sought the Levites out of all their places, to bring them to Jerusalem, to keep the dedication with gladness, both with thanksgivings, and with singing, with cymbals, psalteries, and with harps.(KJV-1611) Neh 12:27 Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:28 ============ Neh 12:28 And the sons of the singers gathered themselves together, both out of the plain country round about Jerusalem, and from the villages of Netophathi;(KJV-1611) Neh 12:28 Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, soti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:29 ============ Neh 12:29 Also from the house of Gilgal, and out of the fields of Geba and Azmaveth: for the singers had builded them villages round about Jerusalem.(KJV-1611) Neh 12:29 Gen en tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:30 ============ Neh 12:30 And the priests and the Levites purified themselves, and purified the people, and the gates, and the wall.(KJV-1611) Neh 12:30 Prèt yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:31 ============ Neh 12:31 Then I brought up the princes of Judah upon the wall, and appointed two great companies of them that gave thanks, whereof one went on the right hand upon the wall toward the dung gate:(KJV-1611) Neh 12:31 Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:32 ============ Neh 12:32 And after them went Hoshaiah, and half of the princes of Judah,(KJV-1611) Neh 12:32 Ozaya t'ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:33 ============ Neh 12:33 And Azariah, Ezra, and Meshullam,(KJV-1611) Neh 12:33 Dèyè yo t'ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:34 ============ Neh 12:34 Judah, and Benjamin, and Shemaiah, and Jeremiah,(KJV-1611) Neh 12:34 Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:35 ============ Neh 12:35 And certain of the priests' sons with trumpets; namely, Zechariah the son of Jonathan, the son of Shemaiah, the son of Mattaniah, the son of Michaiah, the son of Zaccur, the son of Asaph:(KJV-1611) Neh 12:35 Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:36 ============ Neh 12:36 And his brethren, Shemaiah, and Azarael, Milalai, Gilalai, Maai, Nethaneel, and Judah, Hanani, with the musical instruments of David the man of God, and Ezra the scribe before them.(KJV-1611) Neh 12:36 Zekarya t'ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l' yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, direktè lalwa a, ki t'ap mache devan premye gwoup sa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:37 ============ Neh 12:37 And at the fountain gate, which was over against them, they went up by the stairs of the city of David, at the going up of the wall, above the house of David, even unto the water gate eastward.(KJV-1611) Neh 12:37 Lè yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:38 ============ Neh 12:38 And the other company of them that gave thanks went over against them, and I after them, and the half of the people upon the wall, from beyond the tower of the furnaces even unto the broad wall;(KJV-1611) Neh 12:38 Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t'ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:39 ============ Neh 12:39 And from above the gate of Ephraim, and above the old gate, and above the fish gate, and the tower of Hananeel, and the tower of Meah, even unto the sheep gate: and they stood still in the prison gate.(KJV-1611) Neh 12:39 Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:40 ============ Neh 12:40 So stood the two companies of them that gave thanks in the house of God, and I, and the half of the rulers with me:(KJV-1611) Neh 12:40 Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:41 ============ Neh 12:41 And the priests; Eliakim, Maaseiah, Miniamin, Michaiah, Elioenai, Zechariah, and Hananiah, with trumpets;(KJV-1611) Neh 12:41 ansanm ak prèt ki t'ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elioenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo,(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:42 ============ Neh 12:42 And Maaseiah, and Shemaiah, and Eleazar, and Uzzi, and Jehohanan, and Malchijah, and Elam, and Ezer. And the singers sang loud, with Jezrahiah their overseer.(KJV-1611) Neh 12:42 ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:43 ============ Neh 12:43 Also that day they offered great sacrifices, and rejoiced: for God had made them rejoice with great joy: the wives also and the children rejoiced: so that the joy of Jerusalem was heard even afar off.(KJV-1611) Neh 12:43 Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Seyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:44 ============ Neh 12:44 And at that time were some appointed over the chambers for the treasures, for the offerings, for the firstfruits, and for the tithes, to gather into them out of the fields of the cities the portions of the law for the priests and Levites: for Judah rejoiced for the priests and for the Levites that waited.(KJV-1611) Neh 12:44 Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:45 ============ Neh 12:45 And both the singers and the porters kept the ward of their God, and the ward of the purification, according to the commandment of David, and of Solomon his son.(KJV-1611) Neh 12:45 Paske, yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:46 ============ Neh 12:46 For in the days of David and Asaph of old there were chief of the singers, and songs of praise and thanksgiving unto God.(KJV-1611) Neh 12:46 Depi lontan, sou rèy David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l' mèsi.(Creole-HT) ======= Nehemiah 12:47 ============ Neh 12:47 And all Israel in the days of Zerubbabel, and in the days of Nehemiah, gave the portions of the singers and the porters, every day his portion: and they sanctified holy things unto the Levites; and the Levites sanctified them unto the children of Aaron.(KJV-1611) Neh 12:47 Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:1 ============ Neh 13:1 On that day they read in the book of Moses in the audience of the people; and therein was found written, that the Ammonite and the Moabite should not come into the congregation of God for ever;(KJV-1611) Neh 13:1 Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:2 ============ Neh 13:2 Because they met not the children of Israel with bread and with water, but hired Balaam against them, that he should curse them: howbeit our God turned the curse into a blessing.(KJV-1611) Neh 13:2 Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrè, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fè tou, li vire madichon an, li fè l' tounen benediksyon.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:3 ============ Neh 13:3 Now it came to pass, when they had heard the law, that they separated from Israel all the mixed multitude.(KJV-1611) Neh 13:3 Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:4 ============ Neh 13:4 And before this, Eliashib the priest, having the oversight of the chamber of the house of our God, was allied unto Tobiah:(KJV-1611) Neh 13:4 Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:5 ============ Neh 13:5 And he had prepared for him a great chamber, where aforetime they laid the meat offerings, the frankincense, and the vessels, and the tithes of the corn, the new wine, and the oil, which was commanded to be given to the Levites, and the singers, and the porters; and the offerings of the priests.(KJV-1611) Neh 13:5 Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:6 ============ Neh 13:6 But in all this time was not I at Jerusalem: for in the two and thirtieth year of Artaxerxes king of Babylon came I unto the king, and after certain days obtained I leave of the king:(KJV-1611) Neh 13:6 Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalèm paske, lè wa Atagzèsès te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote l'. Kèk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankò,(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:7 ============ Neh 13:7 And I came to Jerusalem, and understood of the evil that Eliashib did for Tobiah, in preparing him a chamber in the courts of the house of God.(KJV-1611) Neh 13:7 epi m' tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou tanp Bondye a pou l' te bay Tobija rete.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:8 ============ Neh 13:8 And it grieved me sore: therefore I cast forth all the household stuff to Tobiah out of the chamber.(KJV-1611) Neh 13:8 Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:9 ============ Neh 13:9 Then I commanded, and they cleansed the chambers: and thither brought I again the vessels of the house of God, with the meat offering and the frankincense.(KJV-1611) Neh 13:9 Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:10 ============ Neh 13:10 And I perceived that the portions of the Levites had not been given them: for the Levites and the singers, that did the work, were fled every one to his field.(KJV-1611) Neh 13:10 Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:11 ============ Neh 13:11 Then contended I with the rulers, and said, Why is the house of God forsaken? And I gathered them together, and set them in their place.(KJV-1611) Neh 13:11 Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:12 ============ Neh 13:12 Then brought all Judah the tithe of the corn and the new wine and the oil unto the treasuries.(KJV-1611) Neh 13:12 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:13 ============ Neh 13:13 And I made treasurers over the treasuries, Shelemiah the priest, and Zadok the scribe, and of the Levites, Pedaiah: and next to them was Hanan the son of Zaccur, the son of Mattaniah: for they were counted faithful, and their office was to distribute unto their brethren.(KJV-1611) Neh 13:13 Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon direktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:14 ============ Neh 13:14 Remember me, O my God, concerning this, and wipe not out my good deeds that I have done for the house of my God, and for the offices thereof.(KJV-1611) Neh 13:14 Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:15 ============ Neh 13:15 In those days saw I in Judah some treading wine presses on the sabbath, and bringing in sheaves, and lading asses; as also wine, grapes, and figs, and all manner of burdens, which they brought into Jerusalem on the sabbath day: and I testified against them in the day wherein they sold victuals.(KJV-1611) Neh 13:15 Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:16 ============ Neh 13:16 There dwelt men of Tyre also therein, which brought fish, and all manner of ware, and sold on the sabbath unto the children of Judah, and in Jerusalem.(KJV-1611) Neh 13:16 Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:17 ============ Neh 13:17 Then I contended with the nobles of Judah, and said unto them, What evil thing is this that ye do, and profane the sabbath day?(KJV-1611) Neh 13:17 Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:18 ============ Neh 13:18 Did not your fathers thus, and did not our God bring all this evil upon us, and upon this city? yet ye bring more wrath upon Israel by profaning the sabbath.(KJV-1611) Neh 13:18 Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:19 ============ Neh 13:19 And it came to pass, that when the gates of Jerusalem began to be dark before the sabbath, I commanded that the gates should be shut, and charged that they should not be opened till after the sabbath: and some of my servants set I at the gates, that there should no burden be brought in on the sabbath day.(KJV-1611) Neh 13:19 Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:20 ============ Neh 13:20 So the merchants and sellers of all kind of ware lodged without Jerusalem once or twice.(KJV-1611) Neh 13:20 Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:21 ============ Neh 13:21 Then I testified against them, and said unto them, Why lodge ye about the wall? if ye do so again, I will lay hands on you. From that time forth came they no more on the sabbath.(KJV-1611) Neh 13:21 Mwen avèti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou. Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:22 ============ Neh 13:22 And I commanded the Levites that they should cleanse themselves, and that they should come and keep the gates, to sanctify the sabbath day. Remember me, O my God, concerning this also, and spare me according to the greatness of thy mercy.(KJV-1611) Neh 13:22 Mwen bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:23 ============ Neh 13:23 In those days also saw I Jews that had married wives of Ashdod, of Ammon, and of Moab:(KJV-1611) Neh 13:23 Se lè sa a tou, mwen vin wè te gen anpil jwif ki te marye ak fanm ki te moun peyi Asdòd, moun peyi Amon osinon moun peyi Moab.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:24 ============ Neh 13:24 And their children spake half in the speech of Ashdod, and could not speak in the Jews' language, but according to the language of each people.(KJV-1611) Neh 13:24 Mwatye nan timoun yo te pale lang peyi Asdòd la ase ou ankò yon lòt kalite lang. Yo pa t' konn pale lang nou an.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:25 ============ Neh 13:25 And I contended with them, and cursed them, and smote certain of them, and plucked off their hair, and made them swear by God, saying, Ye shall not give your daughters unto their sons, nor take their daughters unto your sons, or for yourselves.(KJV-1611) Neh 13:25 Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:26 ============ Neh 13:26 Did not Solomon king of Israel sin by these things? yet among many nations was there no king like him, who was beloved of his God, and God made him king over all Israel: nevertheless even him did outlandish women cause to sin.(KJV-1611) Neh 13:26 Mwen di yo: -Se peche sa a menm wa Salomon te fè! Atout pa t' gen tankou l' nan tout wa lòt nasyon yo, atout Bondye l' la te renmen l', atout se Bondye menm ki te mete l' wa sou tout pèp Izrayèl la, se madanm lòt nasyon yo ki te pran tèt li pou fè l' fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:27 ============ Neh 13:27 Shall we then hearken unto you to do all this great evil, to transgress against our God in marrying strange wives?(KJV-1611) Neh 13:27 Koulye a nou ta renmen tout moun vin konnen n'ap fè menm gwo peche sa a, n'ap trayi Bondye nou an, n'ap marye ak medam ki moun lòt nasyon?(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:28 ============ Neh 13:28 And one of the sons of Joiada, the son of Eliashib the high priest, was son in law to Sanballat the Horonite: therefore I chased him from me.(KJV-1611) Neh 13:28 Jojada te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l' deyò pou m' pa janm wè l' devan je m' ankò.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:29 ============ Neh 13:29 Remember them, O my God, because they have defiled the priesthood, and the covenant of the priesthood, and of the Levites.(KJV-1611) Neh 13:29 O Bondye mwen, pa janm bliye moun sa yo pou jan yo avili travay prèt yo ak kontra ou te siyen ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo!(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:30 ============ Neh 13:30 Thus cleansed I them from all strangers, and appointed the wards of the priests and the Levites, every one in his business;(KJV-1611) Neh 13:30 Mwen te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.(Creole-HT) ======= Nehemiah 13:31 ============ Neh 13:31 And for the wood offering, at times appointed, and for the firstfruits. Remember me, O my God, for good.(KJV-1611) Neh 13:31 Mwen bay lè pou yo fè ofrann bwa yo ak ofrann premye grenn ak premye fwi ki mi nan jaden lè rekòt. O Bondye mwen, pa bliye m' tande! Pa bliye se mwen menm ki fè tou sa!(Creole-HT) ======= Esther 1:1 ============ Est 1:1 Now it came to pass in the days of Ahasuerus, (this is Ahasuerus which reigned, from India even unto Ethiopia, over an hundred and seven and twenty provinces:)(KJV-1611) Est 1:1 Vwala se te sou rèy wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi.(Creole-HT) ======= Esther 1:2 ============ Est 1:2 That in those days, when the king Ahasuerus sat on the throne of his kingdom, which was in Shushan the palace,(KJV-1611) Est 1:2 Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl.(Creole-HT) ======= Esther 1:3 ============ Est 1:3 In the third year of his reign, he made a feast unto all his princes and his servants; the power of Persia and Media, the nobles and princes of the provinces, being before him:(KJV-1611) Est 1:3 Li te gen twazan depi li te wa. Yon jou, li bay yon gwo fèt babako pou tout chèf li yo ak pou tout moun k'ap sèvi avè l' nan gouvènman an. Tout lame peyi Pès ak peyi Medi a te la tou ansanm ak tout gouvènè ak tout gwo zotobre pwovens yo.(Creole-HT) ======= Esther 1:4 ============ Est 1:4 When he shewed the riches of his glorious kingdom and the honour of his excellent majesty many days, even an hundred and fourscore days.(KJV-1611) Est 1:4 Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l' la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen.(Creole-HT) ======= Esther 1:5 ============ Est 1:5 And when these days were expired, the king made a feast unto all the people that were present in Shushan the palace, both unto great and small, seven days, in the court of the garden of the king's palace;(KJV-1611) Est 1:5 Apre tout jou sa yo, wa a fè yon gwo fèt pou tout moun, rich kou pòv, ki te rete lavil Souz, kapital la. Pandan sèt jou, li resevwa mesye yo nan lakou jaden palè l' la.(Creole-HT) ======= Esther 1:6 ============ Est 1:6 Where were white, green, and blue, hangings, fastened with cords of fine linen and purple to silver rings and pillars of marble: the beds were of gold and silver, upon a pavement of red, and blue, and white, and black, marble.(KJV-1611) Est 1:6 Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè violèt nan bag fèt an ajan moute sou gwo poto fèt an mab. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere, ak bèl pye ble.(Creole-HT) ======= Esther 1:7 ============ Est 1:7 And they gave them drink in vessels of gold, (the vessels being diverse one from another,) and royal wine in abundance, according to the state of the king.(KJV-1611) Est 1:7 Yo te sèvi bweson nan gwo gode lò. Chak gode te gen yon fòm apa. Yo te bay diven wa a an kantite, jan wa a te vle l' la.(Creole-HT) ======= Esther 1:8 ============ Est 1:8 And the drinking was according to the law; none did compel: for so the king had appointed to all the officers of his house, that they should do according to every man's pleasure.(KJV-1611) Est 1:8 Tout moun t'ap bwè san pesonn pa kontwole bouch yo, paske wa a te bay kanbizye li yo lòd pou chak moun te jwenn mezi yo vle.(Creole-HT) ======= Esther 1:9 ============ Est 1:9 Also Vashti the queen made a feast for the women in the royal house which belonged to king Ahasuerus.(KJV-1611) Est 1:9 Larenn Vachti bò pa l' t'ap resevwa medam yo anndan palè wa Asyeris la.(Creole-HT) ======= Esther 1:10 ============ Est 1:10 On the seventh day, when the heart of the king was merry with wine, he commanded Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, and Abagtha, Zethar, and Carcas, the seven chamberlains that served in the presence of Ahasuerus the king,(KJV-1611) Est 1:10 Dènye jou fèt la, wa a t'ap bwè, kè l' te kontan. Li fè rele sèt nan nèg konfyans pa l' yo: Se te Mayouman, Bizta, Abona, Bigta, Obagta, Zeta ak Kakas.(Creole-HT) ======= Esther 1:11 ============ Est 1:11 To bring Vashti the queen before the king with the crown royal, to shew the people and the princes her beauty: for she was fair to look on.(KJV-1611) Est 1:11 Li ba yo lòd pou y' al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl.(Creole-HT) ======= Esther 1:12 ============ Est 1:12 But the queen Vashti refused to come at the king's commandment by his chamberlains: therefore was the king very wroth, and his anger burned in him.(KJV-1611) Est 1:12 Men lè nèg konfyans yo al di larenn Vachti lòd wa a te ba yo a, li derefize vini. Sa te fè wa a fache. Li te move anpil.(Creole-HT) ======= Esther 1:13 ============ Est 1:13 Then the king said to the wise men, which knew the times, (for so was the king's manner toward all that knew law and judgment:(KJV-1611) Est 1:13 Se te koutim lan lè sa a chak fwa wa a te gen yon bagay pou l' regle, li toujou pran konsèy nan men moun ki konnen sa ki dwat ak sa lalwa mande. Se konsa, wa a fè chache konseye l' yo pou yo di l' sa pou l' fè.(Creole-HT) ======= Esther 1:14 ============ Est 1:14 And the next unto him was Carshena, Shethar, Admatha, Tarshish, Meres, Marsena, and Memucan, the seven princes of Persia and Media, which saw the king's face, and which sat the first in the kingdom;)(KJV-1611) Est 1:14 Men konseye ki te pi pre l' yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te soti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gen dwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an.(Creole-HT) ======= Esther 1:15 ============ Est 1:15 What shall we do unto the queen Vashti according to law, because she hath not performed the commandment of the king Ahasuerus by the chamberlains?(KJV-1611) Est 1:15 Wa a di yo konsa: -Dapre lalwa, kisa pou m' fè larenn Vachti? Mwen voye nèg konfyans mwen yo al ba li yon lòd, li derefize obeyi m'.(Creole-HT) ======= Esther 1:16 ============ Est 1:16 And Memucan answered before the king and the princes, Vashti the queen hath not done wrong to the king only, but also to all the princes, and to all the people that are in all the provinces of the king Ahasuerus.(KJV-1611) Est 1:16 Lè sa a Mimoukan pran lapawòl devan wa a ak tout lòt chèf yo, li di konsa: -Se pa sèlman wa a larenn Vachti manke dega. Se tout chèf ak tout gason k'ap viv nan tout peyi ki sou lòd wa a li manke dega.(Creole-HT) ======= Esther 1:17 ============ Est 1:17 For this deed of the queen shall come abroad unto all women, so that they shall despise their husbands in their eyes, when it shall be reported, The king Ahasuerus commanded Vashti the queen to be brought in before him, but she came not.(KJV-1611) Est 1:17 Lè medam yo va konnen sa larenn Vachti fè a, yo tout yo pral pran mari yo pou bòbòy. Y'ap di: Wa Asyeris ki wa Asyeris, li te bay larenn Vachti lòd pou vin bò kote l', larenn lan te derefize!(Creole-HT) ======= Esther 1:18 ============ Est 1:18 Likewise shall the ladies of Persia and Media say this day unto all the king's princes, which have heard of the deed of the queen. Thus shall there arise too much contempt and wrath.(KJV-1611) Est 1:18 Lè madanm chèf peyi Pès ak peyi Medi yo va konnen sa larenn lan fè la a, se sa ase yo pral pale nan zòrèy mari yo depi jòdi a menm. Lè sa a, toupatou medam yo p'ap respekte mari yo ankò. Mari yo menm pral fè kòlè sou madanm yo.(Creole-HT) ======= Esther 1:19 ============ Est 1:19 If it please the king, let there go a royal commandment from him, and let it be written among the laws of the Persians and the Medes, that it be not altered, That Vashti come no more before king Ahasuerus; and let the king give her royal estate unto another that is better than she.(KJV-1611) Est 1:19 Si wa a dakò, se pou l' fè yon deklarasyon pou l' fè tout moun konnen larenn Vachti pa janm gen dwa parèt devan l' ankò. Li pral chwazi yon lòt madanm pi bon pase l' mete larenn nan plas li. Lèfini, l'a fè ekri lòd sa a nan liv lalwa peyi Pès ak peyi Medi a, pou yo pa janm chanje l'.(Creole-HT) ======= Esther 1:20 ============ Est 1:20 And when the king's decree which he shall make shall be published throughout all his empire, (for it is great,) all the wives shall give to their husbands honour, both to great and small.(KJV-1611) Est 1:20 Y'a pibliye lòd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lè sa a, mesye yo te mèt grannèg, yo te mèt ti nèg, madanm yo va gen respè pou yo.(Creole-HT) ======= Esther 1:21 ============ Est 1:21 And the saying pleased the king and the princes; and the king did according to the word of Memucan:(KJV-1611) Est 1:21 Wa a ansanm ak chèf yo te renmen lide Mimoukan te bay la. Se konsa wa a fè sa Mimoukan te di fè a.(Creole-HT) ======= Esther 1:22 ============ Est 1:22 For he sent letters into all the king's provinces, into every province according to the writing thereof, and to every people after their language, that every man should bear rule in his own house, and that it should be published according to the language of every people.(KJV-1611) Est 1:22 Li voye mesaj nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l' lan. Mesaj la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!(Creole-HT) ======= Esther 2:1 ============ Est 2:1 After these things, when the wrath of king Ahasuerus was appeased, he remembered Vashti, and what she had done, and what was decreed against her.(KJV-1611) Est 2:1 Apre sa, lè kolè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a.(Creole-HT) ======= Esther 2:2 ============ Est 2:2 Then said the king's servants that ministered unto him, Let there be fair young virgins sought for the king:(KJV-1611) Est 2:2 Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l': -Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou?(Creole-HT) ======= Esther 2:3 ============ Est 2:3 And let the king appoint officers in all the provinces of his kingdom, that they may gather together all the fair young virgins unto Shushan the palace, to the house of the women, unto the custody of Hege the king's chamberlain, keeper of the women; and let their things for purification be given them:(KJV-1611) Est 2:3 Nan tout pwovens peyi ou la, wa chwazi kèk enspekte ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. Wa mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl.(Creole-HT) ======= Esther 2:4 ============ Est 2:4 And let the maiden which pleaseth the king be queen instead of Vashti. And the thing pleased the king; and he did so.(KJV-1611) Est 2:4 Lèfini, jenn fi ki va fè ou plezi plis la wa mete l' larenn nan plas Vachti a. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.(Creole-HT) ======= Esther 2:5 ============ Est 2:5 Now in Shushan the palace there was a certain Jew, whose name was Mordecai, the son of Jair, the son of Shimei, the son of Kish, a Benjamite;(KJV-1611) Est 2:5 Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te soti nan fanmi Kich ak Chimeyi.(Creole-HT) ======= Esther 2:6 ============ Est 2:6 Who had been carried away from Jerusalem with the captivity which had been carried away with Jeconiah king of Judah, whom Nebuchadnezzar the king of Babylon had carried away.(KJV-1611) Est 2:6 Lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l' te depòte yo, Madoche te ladan l' tou.(Creole-HT) ======= Esther 2:7 ============ Est 2:7 And he brought up Hadassah, that is, Esther, his uncle's daughter: for she had neither father nor mother, and the maid was fair and beautiful; whom Mordecai, when her father and mother were dead, took for his own daughter.(KJV-1611) Est 2:7 Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l' ak manman l' mouri, Madoche te pran l' lakay li, li leve l' tankou pwòp pitit fi li.(Creole-HT) ======= Esther 2:8 ============ Est 2:8 So it came to pass, when the king's commandment and his decree was heard, and when many maidens were gathered together unto Shushan the palace, to the custody of Hegai, that Esther was brought also unto the king's house, to the custody of Hegai, keeper of the women.(KJV-1611) Est 2:8 Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo.(Creole-HT) ======= Esther 2:9 ============ Est 2:9 And the maiden pleased him, and she obtained kindness of him; and he speedily gave her her things for purification, with such things as belonged to her, and seven maidens, which were meet to be given her, out of the king's house: and he preferred her and her maids unto the best place of the house of the women.(KJV-1611) Est 2:9 Estè te fè Egayi plezi anpil. San l' te ale avè l'. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l' bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l', epi li mete l' nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo.(Creole-HT) ======= Esther 2:10 ============ Est 2:10 Esther had not shewed her people nor her kindred: for Mordecai had charged her that she should not shew it.(KJV-1611) Est 2:10 Estè pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l' pa t' di anyen sou sa.(Creole-HT) ======= Esther 2:11 ============ Est 2:11 And Mordecai walked every day before the court of the women's house, to know how Esther did, and what should become of her.(KJV-1611) Est 2:11 Chak jou, Madoche bò pa l' menm t'ap pwonmennen devan lakou kay medam yo pou l' te konnen jan Estè t'ap degaje l', ki jan sa tapral pase pou li.(Creole-HT) ======= Esther 2:12 ============ Est 2:12 Now when every maid's turn was come to go in to king Ahasuerus, after that she had been twelve months, according to the manner of the women, (for so were the days of their purifications accomplished, to wit, six months with oil of myrrh, and six months with sweet odours, and with other things for the purifying of the women;)(KJV-1611) Est 2:12 Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madan marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris.(Creole-HT) ======= Esther 2:13 ============ Est 2:13 Then thus came every maiden unto the king; whatsoever she desired was given her to go with her out of the house of the women unto the king's house.(KJV-1611) Est 2:13 Men ki jan sa te fèt: lè yon jenn fi ap kite kay medam yo pou ale kay wa a, yo ba li tou sa li te vle mete sou li.(Creole-HT) ======= Esther 2:14 ============ Est 2:14 In the evening she went, and on the morrow she returned into the second house of the women, to the custody of Shaashgaz, the king's chamberlain, which kept the concubines: she came in unto the king no more, except the king delighted in her, and that she were called by name.(KJV-1611) Est 2:14 Se yon jou swa yo toujou mennen l'. Nan maten, yo fè l' ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou fanm kay li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jenn fi a pa t' gen pou l' te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa, se wa a ki pou bay non fi li vle a.(Creole-HT) ======= Esther 2:15 ============ Est 2:15 Now when the turn of Esther, the daughter of Abihail the uncle of Mordecai, who had taken her for his daughter, was come to go in unto the king, she required nothing but what Hegai the king's chamberlain, the keeper of the women, appointed. And Esther obtained favour in the sight of all them that looked upon her.(KJV-1611) Est 2:15 Jou pou Estè ale kay wa a rive. Estè, pitit fi Abikayil la, kouzin Madoche te pran pou pitit fi li a, leve, li pa mande anyen pase sa Egayi, domestik konfyans wa a ki te reskonsab jenn fi yo, te ba li konsèy mande pou mete sou li. Tout moun tonbe pou Estè lè yo wè l'.(Creole-HT) ======= Esther 2:16 ============ Est 2:16 So Esther was taken unto king Ahasuerus into his house royal in the tenth month, which is the month Tebeth, in the seventh year of his reign.(KJV-1611) Est 2:16 Se konsa, Asyeris t'ap mache sou sètan depi li te wa, nan dizyèm mwa, mwa yo rele Tebèt la, lè yo mennen Estè devan wa a lakay li.(Creole-HT) ======= Esther 2:17 ============ Est 2:17 And the king loved Esther above all the women, and she obtained grace and favour in his sight more than all the virgins; so that he set the royal crown upon her head, and made her queen instead of Vashti.(KJV-1611) Est 2:17 Wa a tonbe pou Estè plis pase pou tout lòt fanm li te janm konnen. Estè te rive fè wa a plezi plis pase tout lòt jenn fi yo. Wa a renmen l' plis pase lòt yo. Li mete kouwòn li a sou tèt Estè, li nonmen l' larenn nan plas Vachti a.(Creole-HT) ======= Esther 2:18 ============ Est 2:18 Then the king made a great feast unto all his princes and his servants, even Esther's feast; and he made a release to the provinces, and gave gifts, according to the state of the king.(KJV-1611) Est 2:18 Lèfini, li voye envite tout chèf li yo ak moun pa l' yo, li fè yon gwo resepsyon pou Estè. Li bay yon jou vakans nan tout peyi a nèt. Apre sa, li bay kado adwat agoch jan wa yo konn fè l' la.(Creole-HT) ======= Esther 2:19 ============ Est 2:19 And when the virgins were gathered together the second time, then Mordecai sat in the king's gate.(KJV-1611) Est 2:19 Pandan tout tan yo t'ap mennen jenn fi yo bay wa a, Madoche te chita bò pòtay palè a.(Creole-HT) ======= Esther 2:20 ============ Est 2:20 Esther had not yet shewed her kindred nor her people; as Mordecai had charged her: for Esther did the commandment of Mordecai, like as when she was brought up with him.(KJV-1611) Est 2:20 Estè menm pa t' kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye. Madoche te ba li lòd pa di anyen sou sa. Estè te obeyi l' jan li te toujou obeyi l' lè li te timoun lakay li.(Creole-HT) ======= Esther 2:21 ============ Est 2:21 In those days, while Mordecai sat in the king's gate, two of the king's chamberlains, Bigthan and Teresh, of those which kept the door, were wroth, and sought to lay hands on the king Ahasuerus.(KJV-1611) Est 2:21 Antan Madoche te chita bò pòtay la, de domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, fache sou wa a, yo fè konplo pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Esther 2:22 ============ Est 2:22 And the thing was known to Mordecai, who told it unto Esther the queen; and Esther certified the king thereof in Mordecai's name.(KJV-1611) Est 2:22 Madoche vin konn sa. Li di larenn Estè sa. Larenn Estè menm al di wa a men sa Madoche voye di l'.(Creole-HT) ======= Esther 2:23 ============ Est 2:23 And when inquisition was made of the matter, it was found out; therefore they were both hanged on a tree: and it was written in the book of the chronicles before the king.(KJV-1611) Est 2:23 Yo mennen ankèt, yo jwenn sa Madoche te di a se te vre. Yo pann de mesye yo. Lèfini, wa a bay lòd pou yo ekri koze a nan gwo liv achiv gouvènman yo.(Creole-HT) ======= Esther 3:1 ============ Est 3:1 After these things did king Ahasuerus promote Haman the son of Hammedatha the Agagite, and advanced him, and set his seat above all the princes that were with him.(KJV-1611) Est 3:1 Kèk tan apre sa, wa Asyeris mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Li nonmen l' chèf sou tout lòt chèf nan peyi a apre wa a. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag.(Creole-HT) ======= Esther 3:2 ============ Est 3:2 And all the king's servants, that were in the king's gate, bowed, and reverenced Haman: for the king had so commanded concerning him. But Mordecai bowed not, nor did him reverence.(KJV-1611) Est 3:2 Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou montre jan yo respekte l'. Tout anplwaye yo te fè sa vre esepte Madoche ki te derefize fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Esther 3:3 ============ Est 3:3 Then the king's servants, which were in the king's gate, said unto Mordecai, Why transgressest thou the king's commandment?(KJV-1611) Est 3:3 Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la.(Creole-HT) ======= Esther 3:4 ============ Est 3:4 Now it came to pass, when they spake daily unto him, and he hearkened not unto them, that they told Haman, to see whether Mordecai's matters would stand: for he had told them that he was a Jew.(KJV-1611) Est 3:4 Chak jou yo te dèyè l' pou l' te konfòme l'. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen.(Creole-HT) ======= Esther 3:5 ============ Est 3:5 And when Haman saw that Mordecai bowed not, nor did him reverence, then was Haman full of wrath.(KJV-1611) Est 3:5 Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske.(Creole-HT) ======= Esther 3:6 ============ Est 3:6 And he thought scorn to lay hands on Mordecai alone; for they had shewed him the people of Mordecai: wherefore Haman sought to destroy all the Jews that were throughout the whole kingdom of Ahasuerus, even the people of Mordecai.(KJV-1611) Est 3:6 Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l' pou l' touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la.(Creole-HT) ======= Esther 3:7 ============ Est 3:7 In the first month, that is, the month Nisan, in the twelfth year of king Ahasuerus, they cast Pur, that is, the lot, before Haman from day to day, and from month to month, to the twelfth month, that is, the month Adar.(KJV-1611) Est 3:7 Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.(Creole-HT) ======= Esther 3:8 ============ Est 3:8 And Haman said unto king Ahasuerus, There is a certain people scattered abroad and dispersed among the people in all the provinces of thy kingdom; and their laws are diverse from all people; neither keep they the king's laws: therefore it is not for the king's profit to suffer them.(KJV-1611) Est 3:8 Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa.(Creole-HT) ======= Esther 3:9 ============ Est 3:9 If it please the king, let it be written that they may be destroyed: and I will pay ten thousand talents of silver to the hands of those that have the charge of the business, to bring it into the king's treasuries.(KJV-1611) Est 3:9 Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.(Creole-HT) ======= Esther 3:10 ============ Est 3:10 And the king took his ring from his hand, and gave it unto Haman the son of Hammedatha the Agagite, the Jews' enemy.(KJV-1611) Est 3:10 Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pa t' vle wè jwif yo.(Creole-HT) ======= Esther 3:11 ============ Est 3:11 And the king said unto Haman, The silver is given to thee, the people also, to do with them as it seemeth good to thee.(KJV-1611) Est 3:11 Epi wa a di l' konsa: -Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo.(Creole-HT) ======= Esther 3:12 ============ Est 3:12 Then were the king's scribes called on the thirteenth day of the first month, and there was written according to all that Haman had commanded unto the king's lieutenants, and to the governors that were over every province, and to the rulers of every people of every province according to the writing thereof, and to every people after their language; in the name of king Ahasuerus was it written, and sealed with the king's ring.(KJV-1611) Est 3:12 Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li.(Creole-HT) ======= Esther 3:13 ============ Est 3:13 And the letters were sent by posts into all the king's provinces, to destroy, to kill, and to cause to perish, all Jews, both young and old, little children and women, in one day, even upon the thirteenth day of the twelfth month, which is the month Adar, and to take the spoil of them for a prey.(KJV-1611) Est 3:13 Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.(Creole-HT) ======= Esther 3:14 ============ Est 3:14 The copy of the writing for a commandment to be given in every province was published unto all people, that they should be ready against that day.(KJV-1611) Est 3:14 Yo voye yon kopi piblikasyon an nan chak pwovens avèk lòd esprès pou yo te fè tout moun konnen pou yo pare kò yo pou jou sa a.(Creole-HT) ======= Esther 3:15 ============ Est 3:15 The posts went out, being hastened by the king's commandment, and the decree was given in Shushan the palace. And the king and Haman sat down to drink; but the city Shushan was perplexed.(KJV-1611) Est 3:15 Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.(Creole-HT) ======= Esther 4:1 ============ Est 4:1 When Mordecai perceived all that was done, Mordecai rent his clothes, and put on sackcloth with ashes, and went out into the midst of the city, and cried with a loud and a bitter cry;(KJV-1611) Est 4:1 Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.(Creole-HT) ======= Esther 4:2 ============ Est 4:2 And came even before the king's gate: for none might enter into the king's gate clothed with sackcloth.(KJV-1611) Est 4:2 Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.(Creole-HT) ======= Esther 4:3 ============ Est 4:3 And in every province, whithersoever the king's commandment and his decree came, there was great mourning among the Jews, and fasting, and weeping, and wailing; and many lay in sackcloth and ashes.(KJV-1611) Est 4:3 Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.(Creole-HT) ======= Esther 4:4 ============ Est 4:4 So Esther's maids and her chamberlains came and told it her. Then was the queen exceedingly grieved; and she sent raiment to clothe Mordecai, and to take away his sackcloth from him: but he received it not.(KJV-1611) Est 4:4 Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.(Creole-HT) ======= Esther 4:5 ============ Est 4:5 Then called Esther for Hatach, one of the king's chamberlains, whom he had appointed to attend upon her, and gave him a commandment to Mordecai, to know what it was, and why it was.(KJV-1611) Est 4:5 Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.(Creole-HT) ======= Esther 4:6 ============ Est 4:6 So Hatach went forth to Mordecai unto the street of the city, which was before the king's gate.(KJV-1611) Est 4:6 Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a.(Creole-HT) ======= Esther 4:7 ============ Est 4:7 And Mordecai told him of all that had happened unto him, and of the sum of the money that Haman had promised to pay to the king's treasuries for the Jews, to destroy them.(KJV-1611) Est 4:7 Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.(Creole-HT) ======= Esther 4:8 ============ Est 4:8 Also he gave him the copy of the writing of the decree that was given at Shushan to destroy them, to shew it unto Esther, and to declare it unto her, and to charge her that she should go in unto the king, to make supplication unto him, and to make request before him for her people.(KJV-1611) Est 4:8 Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a.(Creole-HT) ======= Esther 4:9 ============ Est 4:9 And Hatach came and told Esther the words of Mordecai.(KJV-1611) Est 4:9 Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'.(Creole-HT) ======= Esther 4:10 ============ Est 4:10 Again Esther spake unto Hatach, and gave him commandment unto Mordecai;(KJV-1611) Est 4:10 Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa.(Creole-HT) ======= Esther 4:11 ============ Est 4:11 All the king's servants, and the people of the king's provinces, do know, that whosoever, whether man or women, shall come unto the king into the inner court, who is not called, there is one law of his to put him to death, except such to whom the king shall hold out the golden sceptre, that he may live: but I have not been called to come in unto the king these thirty days.(KJV-1611) Est 4:11 Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.(Creole-HT) ======= Esther 4:12 ============ Est 4:12 And they told to Mordecai Esther's words.(KJV-1611) Est 4:12 Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,(Creole-HT) ======= Esther 4:13 ============ Est 4:13 Then Mordecai commanded to answer Esther, Think not with thyself that thou shalt escape in the king's house, more than all the Jews.(KJV-1611) Est 4:13 Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete.(Creole-HT) ======= Esther 4:14 ============ Est 4:14 For if thou altogether holdest thy peace at this time, then shall there enlargement and deliverance arise to the Jews from another place; but thou and thy father's house shall be destroyed: and who knoweth whether thou art come to the kingdom for such a time as this?(KJV-1611) Est 4:14 Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= Esther 4:15 ============ Est 4:15 Then Esther bade them return Mordecai this answer,(KJV-1611) Est 4:15 Estè voye reponn Madoche:(Creole-HT) ======= Esther 4:16 ============ Est 4:16 Go, gather together all the Jews that are present in Shushan, and fast ye for me, and neither eat nor drink three days, night or day: I also and my maidens will fast likewise; and so will I go in unto the king, which is not according to the law: and if I perish, I perish.(KJV-1611) Est 4:16 -Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.(Creole-HT) ======= Esther 4:17 ============ Est 4:17 So Mordecai went his way, and did according to all that Esther had commanded him.(KJV-1611) Est 4:17 Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.(Creole-HT) ======= Esther 5:1 ============ Est 5:1 Now it came to pass on the third day, that Esther put on her royal apparel, and stood in the inner court of the king's house, over against the king's house: and the king sat upon his royal throne in the royal house, over against the gate of the house.(KJV-1611) Est 5:1 Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.(Creole-HT) ======= Esther 5:2 ============ Est 5:2 And it was so, when the king saw Esther the queen standing in the court, that she obtained favour in his sight: and the king held out to Esther the golden sceptre that was in his hand. So Esther drew near, and touched the top of the sceptre.(KJV-1611) Est 5:2 Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an.(Creole-HT) ======= Esther 5:3 ============ Est 5:3 Then said the king unto her, What wilt thou, queen Esther? and what is thy request? it shall be even given thee to the half of the kingdom.(KJV-1611) Est 5:3 Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.(Creole-HT) ======= Esther 5:4 ============ Est 5:4 And Esther answered, If it seem good unto the king, let the king and Haman come this day unto the banquet that I have prepared for him.(KJV-1611) Est 5:4 Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a.(Creole-HT) ======= Esther 5:5 ============ Est 5:5 Then the king said, Cause Haman to make haste, that he may do as Esther hath said. So the king and Haman came to the banquet that Esther had prepared.(KJV-1611) Est 5:5 Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman.(Creole-HT) ======= Esther 5:6 ============ Est 5:6 And the king said unto Esther at the banquet of wine, What is thy petition? and it shall be granted thee: and what is thy request? even to the half of the kingdom it shall be performed.(KJV-1611) Est 5:6 Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.(Creole-HT) ======= Esther 5:7 ============ Est 5:7 Then answered Esther, and said, My petition and my request is;(KJV-1611) Est 5:7 Estè reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...?(Creole-HT) ======= Esther 5:8 ============ Est 5:8 If I have found favour in the sight of the king, and if it please the king to grant my petition, and to perform my request, let the king and Haman come to the banquet that I shall prepare for them, and I will do to morrow as the king hath said.(KJV-1611) Est 5:8 Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fè sa m'a mande l' fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m' bezwen.(Creole-HT) ======= Esther 5:9 ============ Est 5:9 Then went Haman forth that day joyful and with a glad heart: but when Haman saw Mordecai in the king's gate, that he stood not up, nor moved for him, he was full of indignation against Mordecai.(KJV-1611) Est 5:9 Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,(Creole-HT) ======= Esther 5:10 ============ Est 5:10 Nevertheless Haman refrained himself: and when he came home, he sent and called for his friends, and Zeresh his wife.(KJV-1611) Est 5:10 men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.(Creole-HT) ======= Esther 5:11 ============ Est 5:11 And Haman told them of the glory of his riches, and the multitude of his children, and all the things wherein the king had promoted him, and how he had advanced him above the princes and servants of the king.(KJV-1611) Est 5:11 Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.(Creole-HT) ======= Esther 5:12 ============ Est 5:12 Haman said moreover, Yea, Esther the queen did let no man come in with the king unto the banquet that she had prepared but myself; and to morrow am I invited unto her also with the king.(KJV-1611) Est 5:12 Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m' pou denmen ankò!(Creole-HT) ======= Esther 5:13 ============ Est 5:13 Yet all this availeth me nothing, so long as I see Mordecai the Jew sitting at the king's gate.(KJV-1611) Est 5:13 Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a.(Creole-HT) ======= Esther 5:14 ============ Est 5:14 Then said Zeresh his wife and all his friends unto him, Let a gallows be made of fifty cubits high, and to morrow speak thou unto the king that Mordecai may be hanged thereon: then go thou in merrily with the king unto the banquet. And the thing pleased Haman; and he caused the gallows to be made.(KJV-1611) Est 5:14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.(Creole-HT) ======= Esther 6:1 ============ Est 6:1 On that night could not the king sleep, and he commanded to bring the book of records of the chronicles; and they were read before the king.(KJV-1611) Est 6:1 Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li.(Creole-HT) ======= Esther 6:2 ============ Est 6:2 And it was found written, that Mordecai had told of Bigthana and Teresh, two of the king's chamberlains, the keepers of the door, who sought to lay hand on the king Ahasuerus.(KJV-1611) Est 6:2 Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a.(Creole-HT) ======= Esther 6:3 ============ Est 6:3 And the king said, What honour and dignity hath been done to Mordecai for this? Then said the king's servants that ministered unto him, There is nothing done for him.(KJV-1611) Est 6:3 Wa a mande: -Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: -Yo pa t' fè anyen pou li non.(Creole-HT) ======= Esther 6:4 ============ Est 6:4 And the king said, Who is in the court? Now Haman was come into the outward court of the king's house, to speak unto the king to hang Mordecai on the gallows that he had prepared for him.(KJV-1611) Est 6:4 Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a.(Creole-HT) ======= Esther 6:5 ============ Est 6:5 And the king's servants said unto him, Behold, Haman standeth in the court. And the king said, Let him come in.(KJV-1611) Est 6:5 Mesye yo reponn: -Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: -Fè l' antre!(Creole-HT) ======= Esther 6:6 ============ Est 6:6 So Haman came in. And the king said unto him, What shall be done unto the man whom the king delighteth to honour? Now Haman thought in his heart, To whom would the king delight to do honour more than to myself?(KJV-1611) Est 6:6 Lè Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bèl bagay m' ta fè pou yon moun mwen ta renmen remèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l': Pa gen lòt moun wa a ta renmen remèsye pase mwen menm!(Creole-HT) ======= Esther 6:7 ============ Est 6:7 And Haman answered the king, For the man whom the king delighteth to honour,(KJV-1611) Est 6:7 Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remèsye pou sèvis li rann ou!(Creole-HT) ======= Esther 6:8 ============ Est 6:8 Let the royal apparel be brought which the king useth to wear, and the horse that the king rideth upon, and the crown royal which is set upon his head:(KJV-1611) Est 6:8 Enben! Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l' bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li.(Creole-HT) ======= Esther 6:9 ============ Est 6:9 And let this apparel and horse be delivered to the hand of one of the king's most noble princes, that they may array the man withal whom the king delighteth to honour, and bring him on horseback through the street of the city, and proclaim before him, Thus shall it be done to the man whom the king delighteth to honour.(KJV-1611) Est 6:9 Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l' al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l' moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l' nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li.(Creole-HT) ======= Esther 6:10 ============ Est 6:10 Then the king said to Haman, Make haste, and take the apparel and the horse, as thou hast said, and do even so to Mordecai the Jew, that sitteth at the king's gate: let nothing fail of all that thou hast spoken.(KJV-1611) Est 6:10 Lè sa a, wa a di Aman: -Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. w'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.(Creole-HT) ======= Esther 6:11 ============ Est 6:11 Then took Haman the apparel and the horse, and arrayed Mordecai, and brought him on horseback through the street of the city, and proclaimed before him, Thus shall it be done unto the man whom the king delighteth to honour.(KJV-1611) Est 6:11 Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li.(Creole-HT) ======= Esther 6:12 ============ Est 6:12 And Mordecai came again to the king's gate. But Haman hasted to his house mourning, and having his head covered.(KJV-1611) Est 6:12 Apre sa, Madoche tounen tounen l' bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitèlman li te wont.(Creole-HT) ======= Esther 6:13 ============ Est 6:13 And Haman told Zeresh his wife and all his friends every thing that had befallen him. Then said his wise men and Zeresh his wife unto him, If Mordecai be of the seed of the Jews, before whom thou hast begun to fall, thou shalt not prevail against him, but shalt surely fall before him.(KJV-1611) Est 6:13 Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fè l' anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l'. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.(Creole-HT) ======= Esther 6:14 ============ Est 6:14 And while they were yet talking with him, came the king's chamberlains, and hasted to bring Haman unto the banquet that Esther had prepared.(KJV-1611) Est 6:14 Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fèt Estè te pare a.(Creole-HT) ======= Esther 7:1 ============ Est 7:1 So the king and Haman came to banquet with Esther the queen.(KJV-1611) Est 7:1 Wa a te al nan fèt larenn Estè a ankò ansanm ak Aman.(Creole-HT) ======= Esther 7:2 ============ Est 7:2 And the king said again unto Esther on the second day at the banquet of wine, What is thy petition, queen Esther? and it shall be granted thee: and what is thy request? and it shall be performed, even to the half of the kingdom.(KJV-1611) Est 7:2 Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li!(Creole-HT) ======= Esther 7:3 ============ Est 7:3 Then Esther the queen answered and said, If I have found favour in thy sight, O king, and if it please the king, let my life be given me at my petition, and my people at my request:(KJV-1611) Est 7:3 Estè reponn li: -Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban mwen sa m' vle a, tanpri, sove lavi m' ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou.(Creole-HT) ======= Esther 7:4 ============ Est 7:4 For we are sold, I and my people, to be destroyed, to be slain, and to perish. But if we had been sold for bondmen and bondwomen, I had held my tongue, although the enemy could not countervail the king's damage.(KJV-1611) Est 7:4 Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.(Creole-HT) ======= Esther 7:5 ============ Est 7:5 Then the king Ahasuerus answered and said unto Esther the queen, Who is he, and where is he, that durst presume in his heart to do so?(KJV-1611) Est 7:5 Wa Asyeris mande larenn Estè: -Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan?(Creole-HT) ======= Esther 7:6 ============ Est 7:6 And Esther said, The adversary and enemy is this wicked Haman. Then Haman was afraid before the king and the queen.(KJV-1611) Est 7:6 Estè reponn li: -Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a! Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan.(Creole-HT) ======= Esther 7:7 ============ Est 7:7 And the king arising from the banquet of wine in his wrath went into the palace garden: and Haman stood up to make request for his life to Esther the queen; for he saw that there was evil determined against him by the king.(KJV-1611) Est 7:7 Wa a leve bò tab la byen move, li soti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a tapral pini l' pou sa l' fè a. Li rete pou l' mande larenn lan fè pa l'.(Creole-HT) ======= Esther 7:8 ============ Est 7:8 Then the king returned out of the palace garden into the place of the banquet of wine; and Haman was fallen upon the bed whereon Esther was. Then said the king, Will he force the queen also before me in the house? As the word went out of king's mouth, they covered Haman's face.(KJV-1611) Est 7:8 Aman te fèk panche kò l' sou divan Estè a pou mande l' padon lè wa a tounen antre soti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: -Koulye a, apa nonm lan soti pou li fè kadejak sou larenn Estè, l'a devan je m', nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gen tan kouvri tèt Aman.(Creole-HT) ======= Esther 7:9 ============ Est 7:9 And Harbonah, one of the chamberlains, said before the king, Behold also, the gallows fifty cubits high, which Haman had made for Mordecai, who spoken good for the king, standeth in the house of Haman. Then the king said, Hang him thereon.(KJV-1611) Est 7:9 Yonn ladan yo ki te rele Abona, di konsa: -Aman te menm gen tan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l' te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè. Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l'.(Creole-HT) ======= Esther 7:10 ============ Est 7:10 So they hanged Haman on the gallows that he had prepared for Mordecai. Then was the king's wrath pacified.(KJV-1611) Est 7:10 Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.(Creole-HT) ======= Esther 8:1 ============ Est 8:1 On that day did the king Ahasuerus give the house of Haman the Jews' enemy unto Esther the queen. And Mordecai came before the king; for Esther had told what he was unto her.(KJV-1611) Est 8:1 Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a.(Creole-HT) ======= Esther 8:2 ============ Est 8:2 And the king took off his ring, which he had taken from Haman, and gave it unto Mordecai. And Esther set Mordecai over the house of Haman.(KJV-1611) Est 8:2 Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:3 ============ Est 8:3 And Esther spake yet again before the king, and fell down at his feet, and besought him with tears to put away the mischief of Haman the Agagite, and his device that he had devised against the Jews.(KJV-1611) Est 8:3 Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l' nan pye l' ap kriye. Li mande l' pou l' fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:4 ============ Est 8:4 Then the king held out the golden sceptre toward Esther. So Esther arose, and stood before the king,(KJV-1611) Est 8:4 Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve epi li di:(Creole-HT) ======= Esther 8:5 ============ Est 8:5 And said, If it please the king, and if I have favour in his sight, and the thing seem right before the king, and I be pleasing in his eyes, let it be written to reverse the letters devised by Haman the son of Hammedatha the Agagite, which he wrote to destroy the Jews which are in all the king's provinces:(KJV-1611) Est 8:5 -Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a.(Creole-HT) ======= Esther 8:6 ============ Est 8:6 For how can I endure to see the evil that shall come unto my people? or how can I endure to see the destruction of my kindred?(KJV-1611) Est 8:6 Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:7 ============ Est 8:7 Then the king Ahasuerus said unto Esther the queen and to Mordecai the Jew, Behold, I have given Esther the house of Haman, and him they have hanged upon the gallows, because he laid his hand upon the Jews.(KJV-1611) Est 8:7 Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: -Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m' bay Estè tout byen li yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:8 ============ Est 8:8 Write ye also for the Jews, as it liketh you, in the king's name, and seal it with the king's ring: for the writing which is written in the king's name, and sealed with the king's ring, may no man reverse.(KJV-1611) Est 8:8 Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.(Creole-HT) ======= Esther 8:9 ============ Est 8:9 Then were the king's scribes called at that time in the third month, that is, the month Sivan, on the three and twentieth day thereof; and it was written according to all that Mordecai commanded unto the Jews, and to the lieutenants, and the deputies and rulers of the provinces which are from India unto Ethiopia, an hundred twenty and seven provinces, unto every province according to the writing thereof, and unto every people after their language, and to the Jews according to their writing, and according to their language.(KJV-1611) Est 8:9 Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.(Creole-HT) ======= Esther 8:10 ============ Est 8:10 And he wrote in the king Ahasuerus' name, and sealed it with the king's ring, and sent letters by posts on horseback, and riders on mules, camels, and young dromedaries:(KJV-1611) Est 8:10 Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a.(Creole-HT) ======= Esther 8:11 ============ Est 8:11 Wherein the king granted the Jews which were in every city to gather themselves together, and to stand for their life, to destroy, to slay and to cause to perish, all the power of the people and province that would assault them, both little ones and women, and to take the spoil of them for a prey,(KJV-1611) Est 8:11 Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:12 ============ Est 8:12 Upon one day in all the provinces of king Ahasuerus, namely, upon the thirteenth day of the twelfth month, which is the month Adar.(KJV-1611) Est 8:12 Se sa pou jwif yo fè nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, nan trèzyèm jou douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a.(Creole-HT) ======= Esther 8:13 ============ Est 8:13 The copy of the writing for a commandment to be given in every province was published unto all people, and that the Jews should be ready against that day to avenge themselves on their enemies.(KJV-1611) Est 8:13 Nan chak pwovens, se pou yo te konsidere lèt la tankou yon lwa. Se pou yo te pibliye l' pou tout moun te ka konnen sa ki ladan l'. Jwif yo menm te pou pare pou yo te tire revanj yo sou lènmi yo jou sa a.(Creole-HT) ======= Esther 8:14 ============ Est 8:14 So the posts that rode upon mules and camels went out, being hastened and pressed on by the king's commandment. And the decree was given at Shushan the palace.(KJV-1611) Est 8:14 Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.(Creole-HT) ======= Esther 8:15 ============ Est 8:15 And Mordecai went out from the presence of the king in royal apparel of blue and white, and with a great crown of gold, and with a garment of fine linen and purple: and the city of Shushan rejoiced and was glad.(KJV-1611) Est 8:15 Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.(Creole-HT) ======= Esther 8:16 ============ Est 8:16 The Jews had light, and gladness, and joy, and honour.(KJV-1611) Est 8:16 Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo.(Creole-HT) ======= Esther 8:17 ============ Est 8:17 And in every province, and in every city, whithersoever the king's commandment and his decree came, the Jews had joy and gladness, a feast and a good day. And many of the people of the land became Jews; for the fear of the Jews fell upon them.(KJV-1611) Est 8:17 Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.(Creole-HT) ======= Esther 9:1 ============ Est 9:1 Now in the twelfth month, that is, the month Adar, on the thirteenth day of the same, when the king's commandment and his decree drew near to be put in execution, in the day that the enemies of the Jews hoped to have power over them, (though it was turned to the contrary, that the Jews had rule over them that hated them;)(KJV-1611) Est 9:1 Trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, mwa Ada a, rive. Se te jou pou yo te fè sa wa a te bay lòd fè a. Se te jou moun ki pa t' vle wè jwif yo t'ap tann pou yo te kraze yo. Men, sa ki pou te rive jou sa a, se pa sa ki rive. Se jwif yo ki kraze moun ki te rayi yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:2 ============ Est 9:2 The Jews gathered themselves together in their cities throughout all the provinces of the king Ahasuerus, to lay hand on such as sought their hurt: and no man could withstand them; for the fear of them fell upon all people.(KJV-1611) Est 9:2 Nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, jwif yo reyini nan katye yo nan chak lavil. Yo òganize yo pou yo atake tout moun ki te vle fè yo mal. Pèsonn pa t' ka kenbe tèt ak yo. Tout moun te pè yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:3 ============ Est 9:3 And all the rulers of the provinces, and the lieutenants, and the deputies, and officers of the king, helped the Jews; because the fear of Mordecai fell upon them.(KJV-1611) Est 9:3 Sa ki pi rèd, tout gouvènè yo, tout prefè yo ak tout anplwaye leta yo nan tout pwovens yo te pran pou jwif yo, paske yo te pè Madoche anpil.(Creole-HT) ======= Esther 9:4 ============ Est 9:4 For Mordecai was great in the king's house, and his fame went out throughout all the provinces: for this man Mordecai waxed greater and greater.(KJV-1611) Est 9:4 Nan tout peyi a, tout moun te konnen jan Madoche te yon grannèg nan palè wa a, chak jou li te vin gen plis pouvwa.(Creole-HT) ======= Esther 9:5 ============ Est 9:5 Thus the Jews smote all their enemies with the stroke of the sword, and slaughter, and destruction, and did what they would unto those that hated them.(KJV-1611) Est 9:5 Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:6 ============ Est 9:6 And in Shushan the palace the Jews slew and destroyed five hundred men.(KJV-1611) Est 9:6 Nan lavil Souz, kapital la menm, yo touye, yo masakre senksan moun.(Creole-HT) ======= Esther 9:7 ============ Est 9:7 And Parshandatha, and Dalphon, and Aspatha,(KJV-1611) Est 9:7 Nan moun yo touye yo te gen dis pitit gason Aman yo: Pachandat, Dalfon, Aspata,(Creole-HT) ======= Esther 9:8 ============ Est 9:8 And Poratha, and Adalia, and Aridatha,(KJV-1611) Est 9:8 Porata, Adalya, Aridata,(Creole-HT) ======= Esther 9:9 ============ Est 9:9 And Parmashta, and Arisai, and Aridai, and Vajezatha,(KJV-1611) Est 9:9 Pamachta, Arisayi, Aridayi ak Vayzata.(Creole-HT) ======= Esther 9:10 ============ Est 9:10 The ten sons of Haman the son of Hammedatha, the enemy of the Jews, slew they; but on the spoil laid they not their hand.(KJV-1611) Est 9:10 Se te pitit gason Aman yo, pitit pitit Amedata a, moun ki pa t' vle wè jwif yo. Men, jwif yo pa t' pran anyen lakay moun yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:11 ============ Est 9:11 On that day the number of those that were slain in Shushan the palace was brought before the king.(KJV-1611) Est 9:11 Jou sa a, yo fè wa a konnen jwif yo te touye senksan moun nan lavil Souz, kapital la.(Creole-HT) ======= Esther 9:12 ============ Est 9:12 And the king said unto Esther the queen, The Jews have slain and destroyed five hundred men in Shushan the palace, and the ten sons of Haman; what have they done in the rest of the king's provinces? now what is thy petition? and it shall be granted thee: or what is thy request further? and it shall be done.(KJV-1611) Est 9:12 Wa a di larenn Estè konsa: -Nan lavil Souz ase, jwif yo touye senksan moun. Nan moun sa yo te gen dis pitit gason Aman yo. Nou pa bezwen mande sa yo fè nan pwovens yo. Kisa ou vle koulye a? M'ap ba ou li. Di m' kisa ou vle m' fè, m'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Esther 9:13 ============ Est 9:13 Then said Esther, If it please the king, let it be granted to the Jews which are in Shushan to do to morrow also according unto this day's decree, and let Haman's ten sons be hanged upon the gallows.(KJV-1611) Est 9:13 Estè reponn li: -Si sa fè monwa plezi, li ta bay jwif ki nan lavil Souz yo otorizasyon pou denmen yo fè menm jan yo te fè jòdi a. Lèfini, pou yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Esther 9:14 ============ Est 9:14 And the king commanded it so to be done: and the decree was given at Shushan; and they hanged Haman's ten sons.(KJV-1611) Est 9:14 Wa a bay lòd pou yo fè sa vre. Yo fè piblikasyon nan tout lavil Souz, epi yo pann kadav dis pitit gason Aman yo sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Esther 9:15 ============ Est 9:15 For the Jews that were in Shushan gathered themselves together on the fourteenth day also of the month Adar, and slew three hundred men at Shushan; but on the prey they laid not their hand.(KJV-1611) Est 9:15 Nan katòzyèm jou moun Ada a, jwif lavil Souz yo reyini ankò epi yo touye twasan moun nan lavil la. Men, lè sa a tou, yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:16 ============ Est 9:16 But the other Jews that were in the king's provinces gathered themselves together, and stood for their lives, and had rest from their enemies, and slew of their foes seventy and five thousand, but they laid not their hands on the prey,(KJV-1611) Est 9:16 Nan pwovens yo menm, jwif yo te òganize yo pou defann tèt yo. Yo fè lènmi yo ba yo lapè, yo touye swasannkenzmil moun ki pa t' vle wè yo. Men, yo menm tou yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:17 ============ Est 9:17 On the thirteenth day of the month Adar; and on the fourteenth day of the same rested they, and made it a day of feasting and gladness.(KJV-1611) Est 9:17 Tou sa pase nan trèzyèm jou mwa Ada a. Nan denmen, ki vle di nan katòzyèm jou mwa a, jwif nan pwovens yo pa t' touye yon moun ankò. Se te jou yo t'ap fè fèt, jou yo t'ap pran plezi yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:18 ============ Est 9:18 But the Jews that were at Shushan assembled together on the thirteenth day thereof, and on the fourteenth thereof; and on the fifteenth day of the same they rested, and made it a day of feasting and gladness.(KJV-1611) Est 9:18 Men, jwif lavil Souz yo te pran de jou, trèzyèm jou ak katòzyèm jou nan mwa Ada a, pou yo te touye lènmi yo. Nan kenzyèm jou mwa a, yo pa t' touye yon moun ankò. Se jou sa a yo te fè fèt, se jou sa a yo t'ap pran plezi yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:19 ============ Est 9:19 Therefore the Jews of the villages, that dwelt in the unwalled towns, made the fourteenth day of the month Adar a day of gladness and feasting, and a good day, and of sending portions one to another.(KJV-1611) Est 9:19 Se poutèt sa, jwif k'ap viv nan ti bouk yo, ki gaye nan tout pwovens yo, pran katòzyèm jou mwa Ada a pou yon jou fèt, jou pou fè kè yo kontan, jou pou yo pa travay. Se jou sa a yonn voye kado bay lòt.(Creole-HT) ======= Esther 9:20 ============ Est 9:20 And Mordecai wrote these things, and sent letters unto all the Jews that were in all the provinces of the king Ahasuerus, both nigh and far,(KJV-1611) Est 9:20 Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.(Creole-HT) ======= Esther 9:21 ============ Est 9:21 To stablish this among them, that they should keep the fourteenth day of the month Adar, and the fifteenth day of the same, yearly,(KJV-1611) Est 9:21 Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne.(Creole-HT) ======= Esther 9:22 ============ Est 9:22 As the days wherein the Jews rested from their enemies, and the month which was turned unto them from sorrow to joy, and from mourning into a good day: that they should make them days of feasting and joy, and of sending portions one to another, and gifts to the poor.(KJV-1611) Est 9:22 Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.(Creole-HT) ======= Esther 9:23 ============ Est 9:23 And the Jews undertook to do as they had begun, and as Mordecai had written unto them;(KJV-1611) Est 9:23 Se konsa, jwif yo pran abitid mete jou sa yo apa, jan yo te konmanse fè l' la, dapre sa Madoche te ekri yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:24 ============ Est 9:24 Because Haman the son of Hammedatha, the Agagite, the enemy of all the Jews, had devised against the Jews to destroy them, and had cast Pur, that is, the lot, to consume them, and to destroy them;(KJV-1611) Est 9:24 Aman, pitit gason Amedata, moun laras Agag, moun ki pa t' vle wè jwif yo, te fè lide disparèt yo. Li te mande yon divinò fè l' konnen ki jou ki ta pi bon pou detwi yo, pou masakre yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:25 ============ Est 9:25 But when Esther came before the king, he commanded by letters that his wicked device, which he devised against the Jews, should return upon his own head, and that he and his sons should be hanged on the gallows.(KJV-1611) Est 9:25 Men, lè Estè al di wa a sa, wa a bay yon lòt lòd. Se konsa malè Aman t'ap pare pou jwif yo, se sou pwòp tèt li li tonbe. Yo pann ni li ni pitit gason l' yo byen wo sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Esther 9:26 ============ Est 9:26 Wherefore they called these days Purim after the name of Pur. Therefore for all the words of this letter, and of that which they had seen concerning this matter, and which had come unto them,(KJV-1611) Est 9:26 Se poutèt sa yo rele jou fèt sa yo: Pourim, dapre yon mo ansyen ki vle di: chans. Konsa, dapre sa ki te nan lèt Madoche te voye ba yo a, lèfini poutèt sa yo te wè ki te rive yo,(Creole-HT) ======= Esther 9:27 ============ Est 9:27 The Jews ordained, and took upon them, and upon their seed, and upon all such as joined themselves unto them, so as it should not fail, that they would keep these two days according to their writing, and according to their appointed time every year;(KJV-1611) Est 9:27 jwif yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l' la.(Creole-HT) ======= Esther 9:28 ============ Est 9:28 And that these days should be remembered and kept throughout every generation, every family, every province, and every city; and that these days of Purim should not fail from among the Jews, nor the memorial of them perish from their seed.(KJV-1611) Est 9:28 Yo bay lòd pou tout jwif yo, nan tout branch fanmi, nan tout lavil, nan tout peyi toujou chonje jou sa yo pou yo fè gwo fèt lè sa a, depi sa ki la koulye a jouk ras la va kaba. Se pou jwif yo make jou chans sa yo, pou yo pa janm bliye yo, lèfini pou pitit pitit yo ka toujou chonje jou sa yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:29 ============ Est 9:29 Then Esther the queen, the daughter of Abihail, and Mordecai the Jew, wrote with all authority, to confirm this second letter of Purim.(KJV-1611) Est 9:29 Apre sa, larenn Estè, pitit fi Abikayil la, mete tèt ansanm ak Madoche, li ekri yon lèt pou di jan li dakò. Se konsa, li bay premye lèt Madoche te ekri sou jou chans sa yo plis fòs toujou.(Creole-HT) ======= Esther 9:30 ============ Est 9:30 And he sent the letters unto all the Jews, to the hundred twenty and seven provinces of the kingdom of Ahasuerus, with words of peace and truth,(KJV-1611) Est 9:30 Yo voye lèt la bay tout jwif nan sanvennsèt pwovens peyi wa Asyeris la. Lèt la te mande pou jwif yo te viv ak kè poze san fè kont.(Creole-HT) ======= Esther 9:31 ============ Est 9:31 To confirm these days of Purim in their times appointed, according as Mordecai the Jew and Esther the queen had enjoined them, and as they had decreed for themselves and for their seed, the matters of the fastings and their cry.(KJV-1611) Est 9:31 Lèfini, li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo.(Creole-HT) ======= Esther 9:32 ============ Est 9:32 And the decree of Esther confirmed these matters of Purim; and it was written in the book.(KJV-1611) Est 9:32 Yo pran lèt larenn Estè te ekri pou bay regleman jou chans sa yo plis fòs la, yo ekri l' nan liv la.(Creole-HT) ======= Esther 10:1 ============ Est 10:1 And the king Ahasuerus laid a tribute upon the land, and upon the isles of the sea.(KJV-1611) Est 10:1 Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.(Creole-HT) ======= Esther 10:2 ============ Est 10:2 And all the acts of his power and of his might, and the declaration of the greatness of Mordecai, whereunto the king advanced him, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Media and Persia?(KJV-1611) Est 10:2 Yo ekri tou sa wa a te fè nan gwo liv istwa wa peyi Medi ak peyi Pès yo. Yo di tout bèl bagay li te fè, jan li te yon vanyan gason. Yo bay tout ti detay sou jan li te rive mete Madoche nan gwo plas sa a.(Creole-HT) ======= Esther 10:3 ============ Est 10:3 For Mordecai the Jew was next unto king Ahasuerus, and great among the Jews, and accepted of the multitude of his brethren, seeking the wealth of his people, and speaking peace to all his seed.(KJV-1611) Est 10:3 Madoche, nonm jwif la, te sèl chèf apre wa Asyeris. Tout jwif parèy li yo te respekte l', yo te renmen l' anpil. Li te travay anpil pou byen pèp la, li te vle pou tout moun nan ras jwif la viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Job 1:1 ============ Job 1:1 There was a man in the land of Uz, whose name was Job; and that man was perfect and upright, and one that feared God, and eschewed evil.(KJV-1611) Job 1:1 Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Job 1:2 ============ Job 1:2 And there were born unto him seven sons and three daughters.(KJV-1611) Job 1:2 Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi.(Creole-HT) ======= Job 1:3 ============ Job 1:3 His substance also was seven thousand sheep, and three thousand camels, and five hundred yoke of oxen, and five hundred she asses, and a very great household; so that this man was the greatest of all the men of the east.(KJV-1611) Job 1:3 Li te gen sètmil fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.(Creole-HT) ======= Job 1:4 ============ Job 1:4 And his sons went and feasted in their houses, every one his day; and sent and called for their three sisters to eat and to drink with them.(KJV-1611) Job 1:4 Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resepsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou.(Creole-HT) ======= Job 1:5 ============ Job 1:5 And it was so, when the days of their feasting were gone about, that Job sent and sanctified them, and rose up early in the morning, and offered burnt offerings according to the number of them all: for Job said, It may be that my sons have sinned, and cursed God in their hearts. Thus did Job continually.(KJV-1611) Job 1:5 Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l': Ou pa janm konnen. Pitit gason m' yo ka fè peche, yo ka di sa yo pa t' dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre.(Creole-HT) ======= Job 1:6 ============ Job 1:6 Now there was a day when the sons of God came to present themselves before the LORD, and Satan came also among them.(KJV-1611) Job 1:6 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Job 1:7 ============ Job 1:7 And the LORD said unto Satan, Whence comest thou? Then Satan answered the LORD, and said, From going to and fro in the earth, and from walking up and down in it.(KJV-1611) Job 1:7 Seyè a mande l' konsa: -Kote ou soti? Satan reponn: -M' sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade!(Creole-HT) ======= Job 1:8 ============ Job 1:8 And the LORD said unto Satan, Hast thou considered my servant Job, that there is none like him in the earth, a perfect and an upright man, one that feareth God, and escheweth evil?(KJV-1611) Job 1:8 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Job 1:9 ============ Job 1:9 Then Satan answered the LORD, and said, Doth Job fear God for nought?(KJV-1611) Job 1:9 Satan reponn li: -Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a?(Creole-HT) ======= Job 1:10 ============ Job 1:10 Hast not thou made an hedge about him, and about his house, and about all that he hath on every side? thou hast blessed the work of his hands, and his substance is increased in the land.(KJV-1611) Job 1:10 Ou toujou pwoteje l', li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a.(Creole-HT) ======= Job 1:11 ============ Job 1:11 But put forth thine hand now, and touch all that he hath, and he will curse thee to thy face.(KJV-1611) Job 1:11 Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m' garanti ou, l'ap di sa l' pa t' dwe di sou ou nan figi ou!(Creole-HT) ======= Job 1:12 ============ Job 1:12 And the LORD said unto Satan, Behold, all that he hath is in thy power; only upon himself put not forth thine hand. So Satan went forth from the presence of the LORD.(KJV-1611) Job 1:12 Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.(Creole-HT) ======= Job 1:13 ============ Job 1:13 And there was a day when his sons and his daughters were eating and drinking wine in their eldest brother's house:(KJV-1611) Job 1:13 Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resepsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven.(Creole-HT) ======= Job 1:14 ============ Job 1:14 And there came a messenger unto Job, and said, The oxen were plowing, and the asses feeding beside them:(KJV-1611) Job 1:14 Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l' konsa: -Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre,(Creole-HT) ======= Job 1:15 ============ Job 1:15 And the Sabeans fell upon them, and took them away; yea, they have slain the servants with the edge of the sword; and I only am escaped alone to tell thee.(KJV-1611) Job 1:15 lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.(Creole-HT) ======= Job 1:16 ============ Job 1:16 While he was yet speaking, there came also another, and said, The fire of God is fallen from heaven, and hath burned up the sheep, and the servants, and consumed them; and I only am escaped alone to tell thee.(KJV-1611) Job 1:16 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa.(Creole-HT) ======= Job 1:17 ============ Job 1:17 While he was yet speaking, there came also another, and said, The Chaldeans made out three bands, and fell upon the camels, and have carried them away, yea, and slain the servants with the edge of the sword; and I only am escaped alone to tell thee.(KJV-1611) Job 1:17 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.(Creole-HT) ======= Job 1:18 ============ Job 1:18 While he was yet speaking, there came also another, and said, Thy sons and thy daughters were eating and drinking wine in their eldest brother's house:(KJV-1611) Job 1:18 Msye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan,(Creole-HT) ======= Job 1:19 ============ Job 1:19 And, behold, there came a great wind from the wilderness, and smote the four corners of the house, and it fell upon the young men, and they are dead; and I only am escaped alone to tell thee.(KJV-1611) Job 1:19 lè yon sèl gwo van tanpèt leve soti nan dezè a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.(Creole-HT) ======= Job 1:20 ============ Job 1:20 Then Job arose, and rent his mantle, and shaved his head, and fell down upon the ground, and worshipped,(KJV-1611) Job 1:20 Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.(Creole-HT) ======= Job 1:21 ============ Job 1:21 And said, Naked came I out of my mother's womb, and naked shall I return thither: the LORD gave, and the LORD hath taken away; blessed be the name of the LORD.(KJV-1611) Job 1:21 Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Job 1:22 ============ Job 1:22 In all this Job sinned not, nor charged God foolishly.(KJV-1611) Job 1:22 Malgre tout malè sa yo ki te rive l', Jòb pa t' fè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t' dwe di sou Bondye.(Creole-HT) ======= Job 2:1 ============ Job 2:1 Again there was a day when the sons of God came to present themselves before the LORD, and Satan came also among them to present himself before the LORD.(KJV-1611) Job 2:1 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Job 2:2 ============ Job 2:2 And the LORD said unto Satan, From whence comest thou? And Satan answered the LORD, and said, From going to and fro in the earth, and from walking up and down in it.(KJV-1611) Job 2:2 Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.(Creole-HT) ======= Job 2:3 ============ Job 2:3 And the LORD said unto Satan, Hast thou considered my servant Job, that there is none like him in the earth, a perfect and an upright man, one that feareth God, and escheweth evil? and still he holdeth fast his integrity, although thou movedst me against him, to destroy him without cause.(KJV-1611) Job 2:3 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.(Creole-HT) ======= Job 2:4 ============ Job 2:4 And Satan answered the LORD, and said, Skin for skin, yea, all that a man hath will he give for his life.(KJV-1611) Job 2:4 Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.(Creole-HT) ======= Job 2:5 ============ Job 2:5 But put forth thine hand now, and touch his bone and his flesh, and he will curse thee to thy face.(KJV-1611) Job 2:5 Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou.(Creole-HT) ======= Job 2:6 ============ Job 2:6 And the LORD said unto Satan, Behold, he is in thine hand; but save his life.(KJV-1611) Job 2:6 Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 2:7 ============ Job 2:7 So went Satan forth from the presence of the LORD, and smote Job with sore boils from the sole of his foot unto his crown.(KJV-1611) Job 2:7 Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.(Creole-HT) ======= Job 2:8 ============ Job 2:8 And he took him a potsherd to scrape himself withal; and he sat down among the ashes.(KJV-1611) Job 2:8 Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'.(Creole-HT) ======= Job 2:9 ============ Job 2:9 Then said his wife unto him, Dost thou still retain thine integrity? curse God, and die.(KJV-1611) Job 2:9 Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!(Creole-HT) ======= Job 2:10 ============ Job 2:10 But he said unto her, Thou speakest as one of the foolish women speaketh. What? shall we receive good at the hand of God, and shall we not receive evil? In all this did not Job sin with his lips.(KJV-1611) Job 2:10 Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.(Creole-HT) ======= Job 2:11 ============ Job 2:11 Now when Job's three friends heard of all this evil that was come upon him, they came every one from his own place; Eliphaz the Temanite, and Bildad the Shuhite, and Zophar the Naamathite: for they had made an appointment together to come to mourn with him and to comfort him.(KJV-1611) Job 2:11 Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.(Creole-HT) ======= Job 2:12 ============ Job 2:12 And when they lifted up their eyes afar off, and knew him not, they lifted up their voice, and wept; and they rent every one his mantle, and sprinkled dust upon their heads toward heaven.(KJV-1611) Job 2:12 Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.(Creole-HT) ======= Job 2:13 ============ Job 2:13 So they sat down with him upon the ground seven days and seven nights, and none spake a word unto him: for they saw that his grief was very great.(KJV-1611) Job 2:13 Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.(Creole-HT) ======= Job 3:1 ============ Job 3:1 After this opened Job his mouth, and cursed his day.(KJV-1611) Job 3:1 Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la.(Creole-HT) ======= Job 3:2 ============ Job 3:2 And Job spake, and said,(KJV-1611) Job 3:2 Li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 3:3 ============ Job 3:3 Let the day perish wherein I was born, and the night in which it was said, There is a man child conceived.(KJV-1611) Job 3:3 -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan.(Creole-HT) ======= Job 3:4 ============ Job 3:4 Let that day be darkness; let not God regard it from above, neither let the light shine upon it.(KJV-1611) Job 3:4 Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'.(Creole-HT) ======= Job 3:5 ============ Job 3:5 Let darkness and the shadow of death stain it; let a cloud dwell upon it; let the blackness of the day terrify it.(KJV-1611) Job 3:5 Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt.(Creole-HT) ======= Job 3:6 ============ Job 3:6 As for that night, let darkness seize upon it; let it not be joined unto the days of the year, let it not come into the number of the months.(KJV-1611) Job 3:6 Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò.(Creole-HT) ======= Job 3:7 ============ Job 3:7 Lo, let that night be solitary, let no joyful voice come therein.(KJV-1611) Job 3:7 Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri!(Creole-HT) ======= Job 3:8 ============ Job 3:8 Let them curse it that curse the day, who are ready to raise up their mourning.(KJV-1611) Job 3:8 Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!(Creole-HT) ======= Job 3:9 ============ Job 3:9 Let the stars of the twilight thereof be dark; let it look for light, but have none; neither let it see the dawning of the day:(KJV-1611) Job 3:9 Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve.(Creole-HT) ======= Job 3:10 ============ Job 3:10 Because it shut not up the doors of my mother's womb, nor hid sorrow from mine eyes.(KJV-1611) Job 3:10 Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo.(Creole-HT) ======= Job 3:11 ============ Job 3:11 Why died I not from the womb? why did I not give up the ghost when I came out of the belly?(KJV-1611) Job 3:11 Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa?(Creole-HT) ======= Job 3:12 ============ Job 3:12 Why did the knees prevent me? or why the breasts that I should suck?(KJV-1611) Job 3:12 Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete?(Creole-HT) ======= Job 3:13 ============ Job 3:13 For now should I have lain still and been quiet, I should have slept: then had I been at rest,(KJV-1611) Job 3:13 Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze,(Creole-HT) ======= Job 3:14 ============ Job 3:14 With kings and counsellors of the earth, which build desolate places for themselves;(KJV-1611) Job 3:14 ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè.(Creole-HT) ======= Job 3:15 ============ Job 3:15 Or with princes that had gold, who filled their houses with silver:(KJV-1611) Job 3:15 Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.(Creole-HT) ======= Job 3:16 ============ Job 3:16 Or as an hidden untimely birth I had not been; as infants which never saw light.(KJV-1611) Job 3:16 Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.(Creole-HT) ======= Job 3:17 ============ Job 3:17 There the wicked cease from troubling; and there the weary be at rest.(KJV-1611) Job 3:17 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.(Creole-HT) ======= Job 3:18 ============ Job 3:18 There the prisoners rest together; they hear not the voice of the oppressor.(KJV-1611) Job 3:18 Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.(Creole-HT) ======= Job 3:19 ============ Job 3:19 The small and great are there; and the servant is free from his master.(KJV-1611) Job 3:19 Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò!(Creole-HT) ======= Job 3:20 ============ Job 3:20 Wherefore is light given to him that is in misery, and life unto the bitter in soul;(KJV-1611) Job 3:20 Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?(Creole-HT) ======= Job 3:21 ============ Job 3:21 Which long for death, but it cometh not; and dig for it more than for hid treasures;(KJV-1611) Job 3:21 Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès!(Creole-HT) ======= Job 3:22 ============ Job 3:22 Which rejoice exceedingly, and are glad, when they can find the grave?(KJV-1611) Job 3:22 Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè.(Creole-HT) ======= Job 3:23 ============ Job 3:23 Why is light given to a man whose way is hid, and whom God hath hedged in?(KJV-1611) Job 3:23 Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase.(Creole-HT) ======= Job 3:24 ============ Job 3:24 For my sighing cometh before I eat, and my roarings are poured out like the waters.(KJV-1611) Job 3:24 Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule.(Creole-HT) ======= Job 3:25 ============ Job 3:25 For the thing which I greatly feared is come upon me, and that which I was afraid of is come unto me.(KJV-1611) Job 3:25 Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 3:26 ============ Job 3:26 I was not in safety, neither had I rest, neither was I quiet; yet trouble came.(KJV-1611) Job 3:26 Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.(Creole-HT) ======= Job 4:1 ============ Job 4:1 Then Eliphaz the Temanite answered and said,(KJV-1611) Job 4:1 Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 4:2 ============ Job 4:2 If we assay to commune with thee, wilt thou be grieved? but who can withhold himself from speaking?(KJV-1611) Job 4:2 -Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale.(Creole-HT) ======= Job 4:3 ============ Job 4:3 Behold, thou hast instructed many, and thou hast strengthened the weak hands.(KJV-1611) Job 4:3 Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.(Creole-HT) ======= Job 4:4 ============ Job 4:4 Thy words have upholden him that was falling, and thou hast strengthened the feeble knees.(KJV-1611) Job 4:4 Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.(Creole-HT) ======= Job 4:5 ============ Job 4:5 But now it is come upon thee, and thou faintest; it toucheth thee, and thou art troubled.(KJV-1611) Job 4:5 Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale.(Creole-HT) ======= Job 4:6 ============ Job 4:6 Is not this thy fear, thy confidence, thy hope, and the uprightness of thy ways?(KJV-1611) Job 4:6 W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.(Creole-HT) ======= Job 4:7 ============ Job 4:7 Remember, I pray thee, who ever perished, being innocent? or where were the righteous cut off?(KJV-1611) Job 4:7 Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat?(Creole-HT) ======= Job 4:8 ============ Job 4:8 Even as I have seen, they that plow iniquity, and sow wickedness, reap the same.(KJV-1611) Job 4:8 M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte.(Creole-HT) ======= Job 4:9 ============ Job 4:9 By the blast of God they perish, and by the breath of his nostrils are they consumed.(KJV-1611) Job 4:9 Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.(Creole-HT) ======= Job 4:10 ============ Job 4:10 The roaring of the lion, and the voice of the fierce lion, and the teeth of the young lions, are broken.(KJV-1611) Job 4:10 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Job 4:11 ============ Job 4:11 The old lion perisheth for lack of prey, and the stout lion's whelps are scattered abroad.(KJV-1611) Job 4:11 Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa.(Creole-HT) ======= Job 4:12 ============ Job 4:12 Now a thing was secretly brought to me, and mine ear received a little thereof.(KJV-1611) Job 4:12 Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di.(Creole-HT) ======= Job 4:13 ============ Job 4:13 In thoughts from the visions of the night, when deep sleep falleth on men,(KJV-1611) Job 4:13 Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.(Creole-HT) ======= Job 4:14 ============ Job 4:14 Fear came upon me, and trembling, which made all my bones to shake.(KJV-1611) Job 4:14 Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake.(Creole-HT) ======= Job 4:15 ============ Job 4:15 Then a spirit passed before my face; the hair of my flesh stood up:(KJV-1611) Job 4:15 Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe.(Creole-HT) ======= Job 4:16 ============ Job 4:16 It stood still, but I could not discern the form thereof: an image was before mine eyes, there was silence, and I heard a voice, saying,(KJV-1611) Job 4:16 Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di:(Creole-HT) ======= Job 4:17 ============ Job 4:17 Shall mortal man be more just than God? shall a man be more pure than his maker?(KJV-1611) Job 4:17 Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la?(Creole-HT) ======= Job 4:18 ============ Job 4:18 Behold, he put no trust in his servants; and his angels he charged with folly:(KJV-1611) Job 4:18 Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo.(Creole-HT) ======= Job 4:19 ============ Job 4:19 How much less in them that dwell in houses of clay, whose foundation is in the dust, which are crushed before the moth?(KJV-1611) Job 4:19 Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!(Creole-HT) ======= Job 4:20 ============ Job 4:20 They are destroyed from morning to evening: they perish for ever without any regarding it.(KJV-1611) Job 4:20 Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa.(Creole-HT) ======= Job 4:21 ============ Job 4:21 Doth not their excellency which is in them go away? they die, even without wisdom.(KJV-1611) Job 4:21 Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 5:1 ============ Job 5:1 Call now, if there be any that will answer thee; and to which of the saints wilt thou turn?(KJV-1611) Job 5:1 Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale?(Creole-HT) ======= Job 5:2 ============ Job 5:2 For wrath killeth the foolish man, and envy slayeth the silly one.(KJV-1611) Job 5:2 Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo.(Creole-HT) ======= Job 5:3 ============ Job 5:3 I have seen the foolish taking root: but suddenly I cursed his habitation.(KJV-1611) Job 5:3 Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo.(Creole-HT) ======= Job 5:4 ============ Job 5:4 His children are far from safety, and they are crushed in the gate, neither is there any to deliver them.(KJV-1611) Job 5:4 Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal.(Creole-HT) ======= Job 5:5 ============ Job 5:5 Whose harvest the hungry eateth up, and taketh it even out of the thorns, and the robber swalloweth up their substance.(KJV-1611) Job 5:5 Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.(Creole-HT) ======= Job 5:6 ============ Job 5:6 Although affliction cometh not forth of the dust, neither doth trouble spring out of the ground;(KJV-1611) Job 5:6 Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans.(Creole-HT) ======= Job 5:7 ============ Job 5:7 Yet man is born unto trouble, as the sparks fly upward.(KJV-1611) Job 5:7 Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri.(Creole-HT) ======= Job 5:8 ============ Job 5:8 I would seek unto God, and unto God would I commit my cause:(KJV-1611) Job 5:8 Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'.(Creole-HT) ======= Job 5:9 ============ Job 5:9 Which doeth great things and unsearchable; marvellous things without number:(KJV-1611) Job 5:9 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.(Creole-HT) ======= Job 5:10 ============ Job 5:10 Who giveth rain upon the earth, and sendeth waters upon the fields:(KJV-1611) Job 5:10 Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.(Creole-HT) ======= Job 5:11 ============ Job 5:11 To set up on high those that be low; that those which mourn may be exalted to safety.(KJV-1611) Job 5:11 Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo.(Creole-HT) ======= Job 5:12 ============ Job 5:12 He disappointeth the devices of the crafty, so that their hands cannot perform their enterprise.(KJV-1611) Job 5:12 Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Job 5:13 ============ Job 5:13 He taketh the wise in their own craftiness: and the counsel of the froward is carried headlong.(KJV-1611) Job 5:13 Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè.(Creole-HT) ======= Job 5:14 ============ Job 5:14 They meet with darkness in the day time, and grope in the noonday as in the night.(KJV-1611) Job 5:14 Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit.(Creole-HT) ======= Job 5:15 ============ Job 5:15 But he saveth the poor from the sword, from their mouth, and from the hand of the mighty.(KJV-1611) Job 5:15 Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo.(Creole-HT) ======= Job 5:16 ============ Job 5:16 So the poor hath hope, and iniquity stoppeth her mouth.(KJV-1611) Job 5:16 Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo.(Creole-HT) ======= Job 5:17 ============ Job 5:17 Behold, happy is the man whom God correcteth: therefore despise not thou the chastening of the Almighty:(KJV-1611) Job 5:17 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt!(Creole-HT) ======= Job 5:18 ============ Job 5:18 For he maketh sore, and bindeth up: he woundeth, and his hands make whole.(KJV-1611) Job 5:18 Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou.(Creole-HT) ======= Job 5:19 ============ Job 5:19 He shall deliver thee in six troubles: yea, in seven there shall no evil touch thee.(KJV-1611) Job 5:19 Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.(Creole-HT) ======= Job 5:20 ============ Job 5:20 In famine he shall redeem thee from death: and in war from the power of the sword.(KJV-1611) Job 5:20 Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou.(Creole-HT) ======= Job 5:21 ============ Job 5:21 Thou shalt be hid from the scourge of the tongue: neither shalt thou be afraid of destruction when it cometh.(KJV-1611) Job 5:21 L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche.(Creole-HT) ======= Job 5:22 ============ Job 5:22 At destruction and famine thou shalt laugh: neither shalt thou be afraid of the beasts of the earth.(KJV-1611) Job 5:22 W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Job 5:23 ============ Job 5:23 For thou shalt be in league with the stones of the field: and the beasts of the field shall be at peace with thee.(KJV-1611) Job 5:23 Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou.(Creole-HT) ======= Job 5:24 ============ Job 5:24 And thou shalt know that thy tabernacle shall be in peace; and thou shalt visit thy habitation, and shalt not sin.(KJV-1611) Job 5:24 Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.(Creole-HT) ======= Job 5:25 ============ Job 5:25 Thou shalt know also that thy seed shall be great, and thine offspring as the grass of the earth.(KJV-1611) Job 5:25 W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden.(Creole-HT) ======= Job 5:26 ============ Job 5:26 Thou shalt come to thy grave in a full age, like as a shock of corn cometh in in his season.(KJV-1611) Job 5:26 Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri.(Creole-HT) ======= Job 5:27 ============ Job 5:27 Lo this, we have searched it, so it is; hear it, and know thou it for thy good.(KJV-1611) Job 5:27 Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.(Creole-HT) ======= Job 6:1 ============ Job 6:1 But Job answered and said,(KJV-1611) Job 6:1 Jòb pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 6:2 ============ Job 6:2 Oh that my grief were throughly weighed, and my calamity laid in the balances together!(KJV-1611) Job 6:2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,(Creole-HT) ======= Job 6:3 ============ Job 6:3 For now it would be heavier than the sand of the sea: therefore my words are swallowed up.(KJV-1611) Job 6:3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.(Creole-HT) ======= Job 6:4 ============ Job 6:4 For the arrows of the Almighty are within me, the poison whereof drinketh up my spirit: the terrors of God do set themselves in array against me.(KJV-1611) Job 6:4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.(Creole-HT) ======= Job 6:5 ============ Job 6:5 Doth the wild ass bray when he hath grass? or loweth the ox over his fodder?(KJV-1611) Job 6:5 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.(Creole-HT) ======= Job 6:6 ============ Job 6:6 Can that which is unsavoury be eaten without salt? or is there any taste in the white of an egg?(KJV-1611) Job 6:6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.(Creole-HT) ======= Job 6:7 ============ Job 6:7 The things that my soul refused to touch are as my sorrowful meat.(KJV-1611) Job 6:7 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.(Creole-HT) ======= Job 6:8 ============ Job 6:8 Oh that I might have my request; and that God would grant me the thing that I long for!(KJV-1611) Job 6:8 Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!(Creole-HT) ======= Job 6:9 ============ Job 6:9 Even that it would please God to destroy me; that he would let loose his hand, and cut me off!(KJV-1611) Job 6:9 Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!(Creole-HT) ======= Job 6:10 ============ Job 6:10 Then should I yet have comfort; yea, I would harden myself in sorrow: let him not spare; for I have not concealed the words of the Holy One.(KJV-1611) Job 6:10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.(Creole-HT) ======= Job 6:11 ============ Job 6:11 What is my strength, that I should hope? and what is mine end, that I should prolong my life?(KJV-1611) Job 6:11 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?(Creole-HT) ======= Job 6:12 ============ Job 6:12 Is my strength the strength of stones? or is my flesh of brass?(KJV-1611) Job 6:12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye.(Creole-HT) ======= Job 6:13 ============ Job 6:13 Is not my help in me? and is wisdom driven quite from me?(KJV-1611) Job 6:13 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.(Creole-HT) ======= Job 6:14 ============ Job 6:14 To him that is afflicted pity should be shewed from his friend; but he forsaketh the fear of the Almighty.(KJV-1611) Job 6:14 Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= Job 6:15 ============ Job 6:15 My brethren have dealt deceitfully as a brook, and as the stream of brooks they pass away;(KJV-1611) Job 6:15 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.(Creole-HT) ======= Job 6:16 ============ Job 6:16 Which are blackish by reason of the ice, and wherein the snow is hid:(KJV-1611) Job 6:16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.(Creole-HT) ======= Job 6:17 ============ Job 6:17 What time they wax warm, they vanish: when it is hot, they are consumed out of their place.(KJV-1611) Job 6:17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.(Creole-HT) ======= Job 6:18 ============ Job 6:18 The paths of their way are turned aside; they go to nothing, and perish.(KJV-1611) Job 6:18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.(Creole-HT) ======= Job 6:19 ============ Job 6:19 The troops of Tema looked, the companies of Sheba waited for them.(KJV-1611) Job 6:19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.(Creole-HT) ======= Job 6:20 ============ Job 6:20 They were confounded because they had hoped; they came thither, and were ashamed.(KJV-1611) Job 6:20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Job 6:21 ============ Job 6:21 For now ye are nothing; ye see my casting down, and are afraid.(KJV-1611) Job 6:21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.(Creole-HT) ======= Job 6:22 ============ Job 6:22 Did I say, Bring unto me? or, Give a reward for me of your substance?(KJV-1611) Job 6:22 Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?(Creole-HT) ======= Job 6:23 ============ Job 6:23 Or, Deliver me from the enemy's hand? or, Redeem me from the hand of the mighty?(KJV-1611) Job 6:23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?(Creole-HT) ======= Job 6:24 ============ Job 6:24 Teach me, and I will hold my tongue: and cause me to understand wherein I have erred.(KJV-1611) Job 6:24 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.(Creole-HT) ======= Job 6:25 ============ Job 6:25 How forcible are right words! but what doth your arguing reprove?(KJV-1611) Job 6:25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.(Creole-HT) ======= Job 6:26 ============ Job 6:26 Do ye imagine to reprove words, and the speeches of one that is desperate, which are as wind?(KJV-1611) Job 6:26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?(Creole-HT) ======= Job 6:27 ============ Job 6:27 Yea, ye overwhelm the fatherless, and ye dig a pit for your friend.(KJV-1611) Job 6:27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.(Creole-HT) ======= Job 6:28 ============ Job 6:28 Now therefore be content, look upon me; for it is evident unto you if I lie.(KJV-1611) Job 6:28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.(Creole-HT) ======= Job 6:29 ============ Job 6:29 Return, I pray you, let it not be iniquity; yea, return again, my righteousness is in it.(KJV-1611) Job 6:29 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.(Creole-HT) ======= Job 6:30 ============ Job 6:30 Is there iniquity in my tongue? cannot my taste discern perverse things?(KJV-1611) Job 6:30 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?(Creole-HT) ======= Job 7:1 ============ Job 7:1 Is there not an appointed time to man upon earth? are not his days also like the days of an hireling?(KJV-1611) Job 7:1 Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!(Creole-HT) ======= Job 7:2 ============ Job 7:2 As a servant earnestly desireth the shadow, and as an hireling looketh for the reward of his work:(KJV-1611) Job 7:2 Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.(Creole-HT) ======= Job 7:3 ============ Job 7:3 So am I made to possess months of vanity, and wearisome nights are appointed to me.(KJV-1611) Job 7:3 Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.(Creole-HT) ======= Job 7:4 ============ Job 7:4 When I lie down, I say, When shall I arise, and the night be gone? and I am full of tossings to and fro unto the dawning of the day.(KJV-1611) Job 7:4 M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.(Creole-HT) ======= Job 7:5 ============ Job 7:5 My flesh is clothed with worms and clods of dust; my skin is broken, and become loathsome.(KJV-1611) Job 7:5 Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.(Creole-HT) ======= Job 7:6 ============ Job 7:6 My days are swifter than a weaver's shuttle, and are spent without hope.(KJV-1611) Job 7:6 Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.(Creole-HT) ======= Job 7:7 ============ Job 7:7 O remember that my life is wind: mine eye shall no more see good.(KJV-1611) Job 7:7 Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.(Creole-HT) ======= Job 7:8 ============ Job 7:8 The eye of him that hath seen me shall see me no more: thine eyes are upon me, and I am not.(KJV-1611) Job 7:8 Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Job 7:9 ============ Job 7:9 As the cloud is consumed and vanisheth away: so he that goeth down to the grave shall come up no more.(KJV-1611) Job 7:9 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.(Creole-HT) ======= Job 7:10 ============ Job 7:10 He shall return no more to his house, neither shall his place know him any more.(KJV-1611) Job 7:10 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.(Creole-HT) ======= Job 7:11 ============ Job 7:11 Therefore I will not refrain my mouth; I will speak in the anguish of my spirit; I will complain in the bitterness of my soul.(KJV-1611) Job 7:11 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.(Creole-HT) ======= Job 7:12 ============ Job 7:12 Am I a sea, or a whale, that thou settest a watch over me?(KJV-1611) Job 7:12 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.(Creole-HT) ======= Job 7:13 ============ Job 7:13 When I say, My bed shall comfort me, my couch shall ease my complaints;(KJV-1611) Job 7:13 M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!(Creole-HT) ======= Job 7:14 ============ Job 7:14 Then thou scarest me with dreams, and terrifiest me through visions:(KJV-1611) Job 7:14 Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble.(Creole-HT) ======= Job 7:15 ============ Job 7:15 So that my soul chooseth strangling, and death rather than my life.(KJV-1611) Job 7:15 Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.(Creole-HT) ======= Job 7:16 ============ Job 7:16 I loathe it; I would not live alway: let me alone; for my days are vanity.(KJV-1611) Job 7:16 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!(Creole-HT) ======= Job 7:17 ============ Job 7:17 What is man, that thou shouldest magnify him? and that thou shouldest set thine heart upon him?(KJV-1611) Job 7:17 Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?(Creole-HT) ======= Job 7:18 ============ Job 7:18 And that thou shouldest visit him every morning, and try him every moment?(KJV-1611) Job 7:18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.(Creole-HT) ======= Job 7:19 ============ Job 7:19 How long wilt thou not depart from me, nor let me alone till I swallow down my spittle?(KJV-1611) Job 7:19 Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!(Creole-HT) ======= Job 7:20 ============ Job 7:20 I have sinned; what shall I do unto thee, O thou preserver of men? why hast thou set me as a mark against thee, so that I am a burden to myself?(KJV-1611) Job 7:20 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?(Creole-HT) ======= Job 7:21 ============ Job 7:21 And why dost thou not pardon my transgression, and take away my iniquity? for now shall I sleep in the dust; and thou shalt seek me in the morning, but I shall not be.(KJV-1611) Job 7:21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.(Creole-HT) ======= Job 8:1 ============ Job 8:1 Then answered Bildad the Shuhite, and said,(KJV-1611) Job 8:1 Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 8:2 ============ Job 8:2 How long wilt thou speak these things? and how long shall the words of thy mouth be like a strong wind?(KJV-1611) Job 8:2 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!(Creole-HT) ======= Job 8:3 ============ Job 8:3 Doth God pervert judgment? or doth the Almighty pervert justice?(KJV-1611) Job 8:3 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Job 8:4 ============ Job 8:4 If thy children have sinned against him, and he have cast them away for their transgression;(KJV-1611) Job 8:4 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Job 8:5 ============ Job 8:5 If thou wouldest seek unto God betimes, and make thy supplication to the Almighty;(KJV-1611) Job 8:5 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Job 8:6 ============ Job 8:6 If thou wert pure and upright; surely now he would awake for thee, and make the habitation of thy righteousness prosperous.(KJV-1611) Job 8:6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.(Creole-HT) ======= Job 8:7 ============ Job 8:7 Though thy beginning was small, yet thy latter end should greatly increase.(KJV-1611) Job 8:7 Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.(Creole-HT) ======= Job 8:8 ============ Job 8:8 For enquire, I pray thee, of the former age, and prepare thyself to the search of their fathers:(KJV-1611) Job 8:8 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Job 8:9 ============ Job 8:9 (For we are but of yesterday, and know nothing, because our days upon earth are a shadow:)(KJV-1611) Job 8:9 Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.(Creole-HT) ======= Job 8:10 ============ Job 8:10 Shall not they teach thee, and tell thee, and utter words out of their heart?(KJV-1611) Job 8:10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.(Creole-HT) ======= Job 8:11 ============ Job 8:11 Can the rush grow up without mire? can the flag grow without water?(KJV-1611) Job 8:11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.(Creole-HT) ======= Job 8:12 ============ Job 8:12 Whilst it is yet in his greenness, and not cut down, it withereth before any other herb.(KJV-1611) Job 8:12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.(Creole-HT) ======= Job 8:13 ============ Job 8:13 So are the paths of all that forget God; and the hypocrite's hope shall perish:(KJV-1611) Job 8:13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Job 8:14 ============ Job 8:14 Whose hope shall be cut off, and whose trust shall be a spider's web.(KJV-1611) Job 8:14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.(Creole-HT) ======= Job 8:15 ============ Job 8:15 He shall lean upon his house, but it shall not stand: he shall hold it fast, but it shall not endure.(KJV-1611) Job 8:15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= Job 8:16 ============ Job 8:16 He is green before the sun, and his branch shooteth forth in his garden.(KJV-1611) Job 8:16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.(Creole-HT) ======= Job 8:17 ============ Job 8:17 His roots are wrapped about the heap, and seeth the place of stones.(KJV-1611) Job 8:17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.(Creole-HT) ======= Job 8:18 ============ Job 8:18 If he destroy him from his place, then it shall deny him, saying, I have not seen thee.(KJV-1611) Job 8:18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.(Creole-HT) ======= Job 8:19 ============ Job 8:19 Behold, this is the joy of his way, and out of the earth shall others grow.(KJV-1611) Job 8:19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.(Creole-HT) ======= Job 8:20 ============ Job 8:20 Behold, God will not cast away a perfect man, neither will he help the evil doers:(KJV-1611) Job 8:20 Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.(Creole-HT) ======= Job 8:21 ============ Job 8:21 Till he fill thy mouth with laughing, and thy lips with rejoicing.(KJV-1611) Job 8:21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.(Creole-HT) ======= Job 8:22 ============ Job 8:22 They that hate thee shall be clothed with shame; and the dwelling place of the wicked shall come to nought.(KJV-1611) Job 8:22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.(Creole-HT) ======= Job 9:1 ============ Job 9:1 Then Job answered and said,(KJV-1611) Job 9:1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 9:2 ============ Job 9:2 I know it is so of a truth: but how should man be just with God?(KJV-1611) Job 9:2 -Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?(Creole-HT) ======= Job 9:3 ============ Job 9:3 If he will contend with him, he cannot answer him one of a thousand.(KJV-1611) Job 9:3 Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.(Creole-HT) ======= Job 9:4 ============ Job 9:4 He is wise in heart, and mighty in strength: who hath hardened himself against him, and hath prospered?(KJV-1611) Job 9:4 Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.(Creole-HT) ======= Job 9:5 ============ Job 9:5 Which removeth the mountains, and they know not: which overturneth them in his anger.(KJV-1611) Job 9:5 Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.(Creole-HT) ======= Job 9:6 ============ Job 9:6 Which shaketh the earth out of her place, and the pillars thereof tremble.(KJV-1611) Job 9:6 Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.(Creole-HT) ======= Job 9:7 ============ Job 9:7 Which commandeth the sun, and it riseth not; and sealeth up the stars.(KJV-1611) Job 9:7 Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.(Creole-HT) ======= Job 9:8 ============ Job 9:8 Which alone spreadeth out the heavens, and treadeth upon the waves of the sea.(KJV-1611) Job 9:8 Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.(Creole-HT) ======= Job 9:9 ============ Job 9:9 Which maketh Arcturus, Orion, and Pleiades, and the chambers of the south.(KJV-1611) Job 9:9 Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.(Creole-HT) ======= Job 9:10 ============ Job 9:10 Which doeth great things past finding out; yea, and wonders without number.(KJV-1611) Job 9:10 Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.(Creole-HT) ======= Job 9:11 ============ Job 9:11 Lo, he goeth by me, and I see him not: he passeth on also, but I perceive him not.(KJV-1611) Job 9:11 Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.(Creole-HT) ======= Job 9:12 ============ Job 9:12 Behold, he taketh away, who can hinder him? who will say unto him, What doest thou?(KJV-1611) Job 9:12 Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?(Creole-HT) ======= Job 9:13 ============ Job 9:13 If God will not withdraw his anger, the proud helpers do stoop under him.(KJV-1611) Job 9:13 Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.(Creole-HT) ======= Job 9:14 ============ Job 9:14 How much less shall I answer him, and choose out my words to reason with him?(KJV-1611) Job 9:14 Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?(Creole-HT) ======= Job 9:15 ============ Job 9:15 Whom, though I were righteous, yet would I not answer, but I would make supplication to my judge.(KJV-1611) Job 9:15 Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.(Creole-HT) ======= Job 9:16 ============ Job 9:16 If I had called, and he had answered me; yet would I not believe that he had hearkened unto my voice.(KJV-1611) Job 9:16 Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.(Creole-HT) ======= Job 9:17 ============ Job 9:17 For he breaketh me with a tempest, and multiplieth my wounds without cause.(KJV-1611) Job 9:17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.(Creole-HT) ======= Job 9:18 ============ Job 9:18 He will not suffer me to take my breath, but filleth me with bitterness.(KJV-1611) Job 9:18 Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= Job 9:19 ============ Job 9:19 If I speak of strength, lo, he is strong: and if of judgment, who shall set me a time to plead?(KJV-1611) Job 9:19 Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?(Creole-HT) ======= Job 9:20 ============ Job 9:20 If I justify myself, mine own mouth shall condemn me: if I say, I am perfect, it shall also prove me perverse.(KJV-1611) Job 9:20 M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.(Creole-HT) ======= Job 9:21 ============ Job 9:21 Though I were perfect, yet would I not know my soul: I would despise my life.(KJV-1611) Job 9:21 Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!(Creole-HT) ======= Job 9:22 ============ Job 9:22 This is one thing, therefore I said it, He destroyeth the perfect and the wicked.(KJV-1611) Job 9:22 Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.(Creole-HT) ======= Job 9:23 ============ Job 9:23 If the scourge slay suddenly, he will laugh at the trial of the innocent.(KJV-1611) Job 9:23 Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.(Creole-HT) ======= Job 9:24 ============ Job 9:24 The earth is given into the hand of the wicked: he covereth the faces of the judges thereof; if not, where, and who is he?(KJV-1611) Job 9:24 Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?(Creole-HT) ======= Job 9:25 ============ Job 9:25 Now my days are swifter than a post: they flee away, they see no good.(KJV-1611) Job 9:25 Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.(Creole-HT) ======= Job 9:26 ============ Job 9:26 They are passed away as the swift ships: as the eagle that hasteth to the prey.(KJV-1611) Job 9:26 Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.(Creole-HT) ======= Job 9:27 ============ Job 9:27 If I say, I will forget my complaint, I will leave off my heaviness, and comfort myself:(KJV-1611) Job 9:27 Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,(Creole-HT) ======= Job 9:28 ============ Job 9:28 I am afraid of all my sorrows, I know that thou wilt not hold me innocent.(KJV-1611) Job 9:28 soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.(Creole-HT) ======= Job 9:29 ============ Job 9:29 If I be wicked, why then labour I in vain?(KJV-1611) Job 9:29 Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?(Creole-HT) ======= Job 9:30 ============ Job 9:30 If I wash myself with snow water, and make my hands never so clean;(KJV-1611) Job 9:30 Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.(Creole-HT) ======= Job 9:31 ============ Job 9:31 Yet shalt thou plunge me in the ditch, and mine own clothes shall abhor me.(KJV-1611) Job 9:31 Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 9:32 ============ Job 9:32 For he is not a man, as I am, that I should answer him, and we should come together in judgment.(KJV-1611) Job 9:32 Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.(Creole-HT) ======= Job 9:33 ============ Job 9:33 Neither is there any daysman betwixt us, that might lay his hand upon us both.(KJV-1611) Job 9:33 Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.(Creole-HT) ======= Job 9:34 ============ Job 9:34 Let him take his rod away from me, and let not his fear terrify me:(KJV-1611) Job 9:34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.(Creole-HT) ======= Job 9:35 ============ Job 9:35 Then would I speak, and not fear him; but it is not so with me.(KJV-1611) Job 9:35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.(Creole-HT) ======= Job 10:1 ============ Job 10:1 My soul is weary of my life; I will leave my complaint upon myself; I will speak in the bitterness of my soul.(KJV-1611) Job 10:1 M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!(Creole-HT) ======= Job 10:2 ============ Job 10:2 I will say unto God, Do not condemn me; shew me wherefore thou contendest with me.(KJV-1611) Job 10:2 M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.(Creole-HT) ======= Job 10:3 ============ Job 10:3 Is it good unto thee that thou shouldest oppress, that thou shouldest despise the work of thine hands, and shine upon the counsel of the wicked?(KJV-1611) Job 10:3 Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?(Creole-HT) ======= Job 10:4 ============ Job 10:4 Hast thou eyes of flesh? or seest thou as man seeth?(KJV-1611) Job 10:4 Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la?(Creole-HT) ======= Job 10:5 ============ Job 10:5 Are thy days as the days of man? are thy years as man's days,(KJV-1611) Job 10:5 Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la.(Creole-HT) ======= Job 10:6 ============ Job 10:6 That thou enquirest after mine iniquity, and searchest after my sin?(KJV-1611) Job 10:6 W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.(Creole-HT) ======= Job 10:7 ============ Job 10:7 Thou knowest that I am not wicked; and there is none that can deliver out of thine hand.(KJV-1611) Job 10:7 Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou!(Creole-HT) ======= Job 10:8 ============ Job 10:8 Thine hands have made me and fashioned me together round about; yet thou dost destroy me.(KJV-1611) Job 10:8 Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?(Creole-HT) ======= Job 10:9 ============ Job 10:9 Remember, I beseech thee, that thou hast made me as the clay; and wilt thou bring me into dust again?(KJV-1611) Job 10:9 Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè?(Creole-HT) ======= Job 10:10 ============ Job 10:10 Hast thou not poured me out as milk, and curdled me like cheese?(KJV-1611) Job 10:10 Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen.(Creole-HT) ======= Job 10:11 ============ Job 10:11 Thou hast clothed me with skin and flesh, and hast fenced me with bones and sinews.(KJV-1611) Job 10:11 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.(Creole-HT) ======= Job 10:12 ============ Job 10:12 Thou hast granted me life and favour, and thy visitation hath preserved my spirit.(KJV-1611) Job 10:12 Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri.(Creole-HT) ======= Job 10:13 ============ Job 10:13 And these things hast thou hid in thine heart: I know that this is with thee.(KJV-1611) Job 10:13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 10:14 ============ Job 10:14 If I sin, then thou markest me, and thou wilt not acquit me from mine iniquity.(KJV-1611) Job 10:14 Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 10:15 ============ Job 10:15 If I be wicked, woe unto me; and if I be righteous, yet will I not lift up my head. I am full of confusion; therefore see thou mine affliction;(KJV-1611) Job 10:15 Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.(Creole-HT) ======= Job 10:16 ============ Job 10:16 For it increaseth. Thou huntest me as a fierce lion: and again thou shewest thyself marvellous upon me.(KJV-1611) Job 10:16 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.(Creole-HT) ======= Job 10:17 ============ Job 10:17 Thou renewest thy witnesses against me, and increasest thine indignation upon me; changes and war are against me.(KJV-1611) Job 10:17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.(Creole-HT) ======= Job 10:18 ============ Job 10:18 Wherefore then hast thou brought me forth out of the womb? Oh that I had given up the ghost, and no eye had seen me!(KJV-1611) Job 10:18 Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'.(Creole-HT) ======= Job 10:19 ============ Job 10:19 I should have been as though I had not been; I should have been carried from the womb to the grave.(KJV-1611) Job 10:19 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt.(Creole-HT) ======= Job 10:20 ============ Job 10:20 Are not my days few? cease then, and let me alone, that I may take comfort a little,(KJV-1611) Job 10:20 Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non!(Creole-HT) ======= Job 10:21 ============ Job 10:21 Before I go whence I shall not return, even to the land of darkness and the shadow of death;(KJV-1611) Job 10:21 Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,(Creole-HT) ======= Job 10:22 ============ Job 10:22 A land of darkness, as darkness itself; and of the shadow of death, without any order, and where the light is as darkness.(KJV-1611) Job 10:22 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!(Creole-HT) ======= Job 11:1 ============ Job 11:1 Then answered Zophar the Naamathite, and said,(KJV-1611) Job 11:1 Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 11:2 ============ Job 11:2 Should not the multitude of words be answered? and should a man full of talk be justified?(KJV-1611) Job 11:2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.(Creole-HT) ======= Job 11:3 ============ Job 11:3 Should thy lies make men hold their peace? and when thou mockest, shall no man make thee ashamed?(KJV-1611) Job 11:3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?(Creole-HT) ======= Job 11:4 ============ Job 11:4 For thou hast said, My doctrine is pure, and I am clean in thine eyes.(KJV-1611) Job 11:4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!(Creole-HT) ======= Job 11:5 ============ Job 11:5 But oh that God would speak, and open his lips against thee;(KJV-1611) Job 11:5 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!(Creole-HT) ======= Job 11:6 ============ Job 11:6 And that he would shew thee the secrets of wisdom, that they are double to that which is! Know therefore that God exacteth of thee less than thine iniquity deserveth.(KJV-1611) Job 11:6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.(Creole-HT) ======= Job 11:7 ============ Job 11:7 Canst thou by searching find out God? canst thou find out the Almighty unto perfection?(KJV-1611) Job 11:7 Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?(Creole-HT) ======= Job 11:8 ============ Job 11:8 It is as high as heaven; what canst thou do? deeper than hell; what canst thou know?(KJV-1611) Job 11:8 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?(Creole-HT) ======= Job 11:9 ============ Job 11:9 The measure thereof is longer than the earth, and broader than the sea.(KJV-1611) Job 11:9 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.(Creole-HT) ======= Job 11:10 ============ Job 11:10 If he cut off, and shut up, or gather together, then who can hinder him?(KJV-1611) Job 11:10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?(Creole-HT) ======= Job 11:11 ============ Job 11:11 For he knoweth vain men: he seeth wickedness also; will he not then consider it?(KJV-1611) Job 11:11 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.(Creole-HT) ======= Job 11:12 ============ Job 11:12 For vain men would be wise, though man be born like a wild ass's colt.(KJV-1611) Job 11:12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.(Creole-HT) ======= Job 11:13 ============ Job 11:13 If thou prepare thine heart, and stretch out thine hands toward him;(KJV-1611) Job 11:13 Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.(Creole-HT) ======= Job 11:14 ============ Job 11:14 If iniquity be in thine hand, put it far away, and let not wickedness dwell in thy tabernacles.(KJV-1611) Job 11:14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.(Creole-HT) ======= Job 11:15 ============ Job 11:15 For then shalt thou lift up thy face without spot; yea, thou shalt be stedfast, and shalt not fear:(KJV-1611) Job 11:15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.(Creole-HT) ======= Job 11:16 ============ Job 11:16 Because thou shalt forget thy misery, and remember it as waters that pass away:(KJV-1611) Job 11:16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.(Creole-HT) ======= Job 11:17 ============ Job 11:17 And thine age shall be clearer than the noonday: thou shalt shine forth, thou shalt be as the morning.(KJV-1611) Job 11:17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.(Creole-HT) ======= Job 11:18 ============ Job 11:18 And thou shalt be secure, because there is hope; yea, thou shalt dig about thee, and thou shalt take thy rest in safety.(KJV-1611) Job 11:18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.(Creole-HT) ======= Job 11:19 ============ Job 11:19 Also thou shalt lie down, and none shall make thee afraid; yea, many shall make suit unto thee.(KJV-1611) Job 11:19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.(Creole-HT) ======= Job 11:20 ============ Job 11:20 But the eyes of the wicked shall fail, and they shall not escape, and their hope shall be as the giving up of the ghost.(KJV-1611) Job 11:20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.(Creole-HT) ======= Job 12:1 ============ Job 12:1 And Job answered and said,(KJV-1611) Job 12:1 Jòb pran lapawòl, li di:(Creole-HT) ======= Job 12:2 ============ Job 12:2 No doubt but ye are the people, and wisdom shall die with you.(KJV-1611) Job 12:2 -Apa nou k'ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!(Creole-HT) ======= Job 12:3 ============ Job 12:3 But I have understanding as well as you; I am not inferior to you: yea, who knoweth not such things as these?(KJV-1611) Job 12:3 Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l'.(Creole-HT) ======= Job 12:4 ============ Job 12:4 I am as one mocked of his neighbour, who calleth upon God, and he answereth him: the just upright man is laughed to scorn.(KJV-1611) Job 12:4 Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'.(Creole-HT) ======= Job 12:5 ============ Job 12:5 He that is ready to slip with his feet is as a lamp despised in the thought of him that is at ease.(KJV-1611) Job 12:5 Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.(Creole-HT) ======= Job 12:6 ============ Job 12:6 The tabernacles of robbers prosper, and they that provoke God are secure; into whose hand God bringeth abundantly.(KJV-1611) Job 12:6 Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.(Creole-HT) ======= Job 12:7 ============ Job 12:7 But ask now the beasts, and they shall teach thee; and the fowls of the air, and they shall tell thee:(KJV-1611) Job 12:7 Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.(Creole-HT) ======= Job 12:8 ============ Job 12:8 Or speak to the earth, and it shall teach thee: and the fishes of the sea shall declare unto thee.(KJV-1611) Job 12:8 Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.(Creole-HT) ======= Job 12:9 ============ Job 12:9 Who knoweth not in all these that the hand of the LORD hath wrought this?(KJV-1611) Job 12:9 Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.(Creole-HT) ======= Job 12:10 ============ Job 12:10 In whose hand is the soul of every living thing, and the breath of all mankind.(KJV-1611) Job 12:10 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.(Creole-HT) ======= Job 12:11 ============ Job 12:11 Doth not the ear try words? and the mouth taste his meat?(KJV-1611) Job 12:11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.(Creole-HT) ======= Job 12:12 ============ Job 12:12 With the ancient is wisdom; and in length of days understanding.(KJV-1611) Job 12:12 Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 12:13 ============ Job 12:13 With him is wisdom and strength, he hath counsel and understanding.(KJV-1611) Job 12:13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.(Creole-HT) ======= Job 12:14 ============ Job 12:14 Behold, he breaketh down, and it cannot be built again: he shutteth up a man, and there can be no opening.(KJV-1611) Job 12:14 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l'. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l'.(Creole-HT) ======= Job 12:15 ============ Job 12:15 Behold, he withholdeth the waters, and they dry up: also he sendeth them out, and they overturn the earth.(KJV-1611) Job 12:15 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.(Creole-HT) ======= Job 12:16 ============ Job 12:16 With him is strength and wisdom: the deceived and the deceiver are his.(KJV-1611) Job 12:16 Bondye gen fòs, li konn sa l'ap fè. Ni moun k'ap bay manti, ni moun k'ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.(Creole-HT) ======= Job 12:17 ============ Job 12:17 He leadeth counsellors away spoiled, and maketh the judges fools.(KJV-1611) Job 12:17 Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= Job 12:18 ============ Job 12:18 He looseth the bond of kings, and girdeth their loins with a girdle.(KJV-1611) Job 12:18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.(Creole-HT) ======= Job 12:19 ============ Job 12:19 He leadeth princes away spoiled, and overthroweth the mighty.(KJV-1611) Job 12:19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!(Creole-HT) ======= Job 12:20 ============ Job 12:20 He removeth away the speech of the trusty, and taketh away the understanding of the aged.(KJV-1611) Job 12:20 Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.(Creole-HT) ======= Job 12:21 ============ Job 12:21 He poureth contempt upon princes, and weakeneth the strength of the mighty.(KJV-1611) Job 12:21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.(Creole-HT) ======= Job 12:22 ============ Job 12:22 He discovereth deep things out of darkness, and bringeth out to light the shadow of death.(KJV-1611) Job 12:22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.(Creole-HT) ======= Job 12:23 ============ Job 12:23 He increaseth the nations, and destroyeth them: he enlargeth the nations, and straiteneth them again.(KJV-1611) Job 12:23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l' disparèt.(Creole-HT) ======= Job 12:24 ============ Job 12:24 He taketh away the heart of the chief of the people of the earth, and causeth them to wander in a wilderness where there is no way.(KJV-1611) Job 12:24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.(Creole-HT) ======= Job 12:25 ============ Job 12:25 They grope in the dark without light, and he maketh them to stagger like a drunken man.(KJV-1611) Job 12:25 Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.(Creole-HT) ======= Job 13:1 ============ Job 13:1 Lo, mine eye hath seen all this, mine ear hath heard and understood it.(KJV-1611) Job 13:1 Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.(Creole-HT) ======= Job 13:2 ============ Job 13:2 What ye know, the same do I know also: I am not inferior unto you.(KJV-1611) Job 13:2 Sa nou konnen an, mwen konnen l' tou. M' pa pi sòt pase nou.(Creole-HT) ======= Job 13:3 ============ Job 13:3 Surely I would speak to the Almighty, and I desire to reason with God.(KJV-1611) Job 13:3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.(Creole-HT) ======= Job 13:4 ============ Job 13:4 But ye are forgers of lies, ye are all physicians of no value.(KJV-1611) Job 13:4 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun.(Creole-HT) ======= Job 13:5 ============ Job 13:5 O that ye would altogether hold your peace! and it should be your wisdom.(KJV-1611) Job 13:5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 13:6 ============ Job 13:6 Hear now my reasoning, and hearken to the pleadings of my lips.(KJV-1611) Job 13:6 Koute sa mwen gen sou kè m'. Louvri zòrèy nou pou n' tande jan m' pral plede kòz mwen.(Creole-HT) ======= Job 13:7 ============ Job 13:7 Will ye speak wickedly for God? and talk deceitfully for him?(KJV-1611) Job 13:7 Se defann nou vle defann Bondye kifè n'ap bay tout manti sa yo, kifè n'ap pale kwochi konsa?(Creole-HT) ======= Job 13:8 ============ Job 13:8 Will ye accept his person? will ye contend for God?(KJV-1611) Job 13:8 Se pou li n'ap pran? Se kòz li nou ranmase?(Creole-HT) ======= Job 13:9 ============ Job 13:9 Is it good that he should search you out? or as one man mocketh another, do ye so mock him?(KJV-1611) Job 13:9 Pou li, li ta bon pou nou si li t'ap chache konnen sa nou gen nan fon kè nou! Pa konprann nou ka woule Bondye tankou nou woule moun!(Creole-HT) ======= Job 13:10 ============ Job 13:10 He will surely reprove you, if ye do secretly accept persons.(KJV-1611) Job 13:10 Li ta regle nou byen regle, paske li ta tou wè se figi l' n'ap achte anba chal.(Creole-HT) ======= Job 13:11 ============ Job 13:11 Shall not his excellency make you afraid? and his dread fall upon you?(KJV-1611) Job 13:11 Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?(Creole-HT) ======= Job 13:12 ============ Job 13:12 Your remembrances are like unto ashes, your bodies to bodies of clay.(KJV-1611) Job 13:12 Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.(Creole-HT) ======= Job 13:13 ============ Job 13:13 Hold your peace, let me alone, that I may speak, and let come on me what will.(KJV-1611) Job 13:13 Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!(Creole-HT) ======= Job 13:14 ============ Job 13:14 Wherefore do I take my flesh in my teeth, and put my life in mine hand?(KJV-1611) Job 13:14 Mwen mèt mouri! Zafè! M' mare ren m', m' sere dan m'!(Creole-HT) ======= Job 13:15 ============ Job 13:15 Though he slay me, yet will I trust in him: but I will maintain mine own ways before him.(KJV-1611) Job 13:15 Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.(Creole-HT) ======= Job 13:16 ============ Job 13:16 He also shall be my salvation: for an hypocrite shall not come before him.(KJV-1611) Job 13:16 Nou pa janm konnen, se sa ki ka sove m', paske moun ki fè mal pa ka parèt devan Bondye.(Creole-HT) ======= Job 13:17 ============ Job 13:17 Hear diligently my speech, and my declaration with your ears.(KJV-1611) Job 13:17 Koute byen sa m' pral di la a. Louvri zòrèy nou pou n' tande deklarasyon mwen.(Creole-HT) ======= Job 13:18 ============ Job 13:18 Behold now, I have ordered my cause; I know that I shall be justified.(KJV-1611) Job 13:18 M' pare pou m' defann kòz mwen, paske mwen konnen mwen nan dwa m'.(Creole-HT) ======= Job 13:19 ============ Job 13:19 Who is he that will plead with me? for now, if I hold my tongue, I shall give up the ghost.(KJV-1611) Job 13:19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.(Creole-HT) ======= Job 13:20 ============ Job 13:20 Only do not two things unto me: then will I not hide myself from thee.(KJV-1611) Job 13:20 De sèl ti chans ase m'ap mande ou. Apre sa, m' p'ap kache pou ou ankò.(Creole-HT) ======= Job 13:21 ============ Job 13:21 Withdraw thine hand far from me: and let not thy dread make me afraid.(KJV-1611) Job 13:21 Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.(Creole-HT) ======= Job 13:22 ============ Job 13:22 Then call thou, and I will answer: or let me speak, and answer thou me.(KJV-1611) Job 13:22 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.(Creole-HT) ======= Job 13:23 ============ Job 13:23 How many are mine iniquities and sins? make me to know my transgression and my sin.(KJV-1611) Job 13:23 Konbe peche, konbe bagay mal mwen fè? Kisa m' fè mwen pa t' dwe fè? Kisa m' fè ki mal?(Creole-HT) ======= Job 13:24 ============ Job 13:24 Wherefore hidest thou thy face, and holdest me for thine enemy?(KJV-1611) Job 13:24 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?(Creole-HT) ======= Job 13:25 ============ Job 13:25 Wilt thou break a leaf driven to and fro? and wilt thou pursue the dry stubble?(KJV-1611) Job 13:25 Poukisa w'ap chache fè m' pè? Poukisa ou leve dèyè m' konsa? M' tou fini, m' tankou fèy bwa, tankou pay chèch van ap pote ale.(Creole-HT) ======= Job 13:26 ============ Job 13:26 For thou writest bitter things against me, and makest me to possess the iniquities of my youth.(KJV-1611) Job 13:26 W'ap akize m' yon bann bagay k'ap fè m' mal. W'ap fè m' peye tou sa m' te fè lè m' te jenn gason.(Creole-HT) ======= Job 13:27 ============ Job 13:27 Thou puttest my feet also in the stocks, and lookest narrowly unto all my paths; thou settest a print upon the heels of my feet.(KJV-1611) Job 13:27 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.(Creole-HT) ======= Job 13:28 ============ Job 13:28 And he, as a rotten thing, consumeth, as a garment that is moth eaten.(KJV-1611) Job 13:28 M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.(Creole-HT) ======= Job 14:1 ============ Job 14:1 Man that is born of a woman is of few days and full of trouble.(KJV-1611) Job 14:1 Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!(Creole-HT) ======= Job 14:2 ============ Job 14:2 He cometh forth like a flower, and is cut down: he fleeth also as a shadow, and continueth not.(KJV-1611) Job 14:2 Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nwaj k'ap pase.(Creole-HT) ======= Job 14:3 ============ Job 14:3 And doth thou open thine eyes upon such an one, and bringest me into judgment with thee?(KJV-1611) Job 14:3 Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l'?(Creole-HT) ======= Job 14:4 ============ Job 14:4 Who can bring a clean thing out of an unclean? not one.(KJV-1611) Job 14:4 Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.(Creole-HT) ======= Job 14:5 ============ Job 14:5 Seeing his days are determined, the number of his months are with thee, thou hast appointed his bounds that he cannot pass;(KJV-1611) Job 14:5 Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.(Creole-HT) ======= Job 14:6 ============ Job 14:6 Turn from him, that he may rest, till he shall accomplish, as an hireling, his day.(KJV-1611) Job 14:6 Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.(Creole-HT) ======= Job 14:7 ============ Job 14:7 For there is hope of a tree, if it be cut down, that it will sprout again, and that the tender branch thereof will not cease.(KJV-1611) Job 14:7 Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa. Yo te mèt koupe l', l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Job 14:8 ============ Job 14:8 Though the root thereof wax old in the earth, and the stock thereof die in the ground;(KJV-1611) Job 14:8 Rasin li yo te mèt fin vye nan tè a, bout chouk la te mèt fin chèch,(Creole-HT) ======= Job 14:9 ============ Job 14:9 Yet through the scent of water it will bud, and bring forth boughs like a plant.(KJV-1611) Job 14:9 depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen, l'ap pouse kreyòl.(Creole-HT) ======= Job 14:10 ============ Job 14:10 But man dieth, and wasteth away: yea, man giveth up the ghost, and where is he?(KJV-1611) Job 14:10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.(Creole-HT) ======= Job 14:11 ============ Job 14:11 As the waters fail from the sea, and the flood decayeth and drieth up:(KJV-1611) Job 14:11 Letan ka cheche, larivyè ka sispann koule.(Creole-HT) ======= Job 14:12 ============ Job 14:12 So man lieth down, and riseth not: till the heavens be no more, they shall not awake, nor be raised out of their sleep.(KJV-1611) Job 14:12 Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.(Creole-HT) ======= Job 14:13 ============ Job 14:13 O that thou wouldest hide me in the grave, that thou wouldest keep me secret, until thy wrath be past, that thou wouldest appoint me a set time, and remember me!(KJV-1611) Job 14:13 Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.(Creole-HT) ======= Job 14:14 ============ Job 14:14 If a man die, shall he live again? all the days of my appointed time will I wait, till my change come.(KJV-1611) Job 14:14 Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.(Creole-HT) ======= Job 14:15 ============ Job 14:15 Thou shalt call, and I will answer thee: thou wilt have a desire to the work of thine hands.(KJV-1611) Job 14:15 Lè sa a, ou ta rele m', mwen ta reponn ou. Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.(Creole-HT) ======= Job 14:16 ============ Job 14:16 For now thou numberest my steps: dost thou not watch over my sin?(KJV-1611) Job 14:16 Lè sa a, ou ta gade jan m'ap mache a, men, ou pa ta chonje sa m' te konn fè ki mal.(Creole-HT) ======= Job 14:17 ============ Job 14:17 My transgression is sealed up in a bag, and thou sewest up mine iniquity.(KJV-1611) Job 14:17 Ou ta padonnen m' peche m' yo, ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.(Creole-HT) ======= Job 14:18 ============ Job 14:18 And surely the mountains falling cometh to nought, and the rock is removed out of his place.(KJV-1611) Job 14:18 Rive yon lè se pou mòn yo anfale, se pou wòch yo woule desann.(Creole-HT) ======= Job 14:19 ============ Job 14:19 The waters wear the stones: thou washest away the things which grow out of the dust of the earth; and thou destroyest the hope of man.(KJV-1611) Job 14:19 Rive yon lè dlo ap fin manje wòch yo, lapli ap fin bwote tout tè a desann. Konsa tou, rive yon lè ou wete tout espwa nan kè moun.(Creole-HT) ======= Job 14:20 ============ Job 14:20 Thou prevailest for ever against him, and he passeth: thou changest his countenance, and sendest him away.(KJV-1611) Job 14:20 Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri. Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.(Creole-HT) ======= Job 14:21 ============ Job 14:21 His sons come to honour, and he knoweth it not; and they are brought low, but he perceiveth it not of them.(KJV-1611) Job 14:21 Moun fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen. Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.(Creole-HT) ======= Job 14:22 ============ Job 14:22 But his flesh upon him shall have pain, and his soul within him shall mourn.(KJV-1611) Job 14:22 Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a. Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!(Creole-HT) ======= Job 15:1 ============ Job 15:1 Then answered Eliphaz the Temanite, and said,(KJV-1611) Job 15:1 Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 15:2 ============ Job 15:2 Should a wise man utter vain knowledge, and fill his belly with the east wind?(KJV-1611) Job 15:2 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.(Creole-HT) ======= Job 15:3 ============ Job 15:3 Should he reason with unprofitable talk? or with speeches wherewith he can do no good?(KJV-1611) Job 15:3 Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.(Creole-HT) ======= Job 15:4 ============ Job 15:4 Yea, thou castest off fear, and restrainest prayer before God.(KJV-1611) Job 15:4 Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.(Creole-HT) ======= Job 15:5 ============ Job 15:5 For thy mouth uttereth thine iniquity, and thou choosest the tongue of the crafty.(KJV-1611) Job 15:5 Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.(Creole-HT) ======= Job 15:6 ============ Job 15:6 Thine own mouth condemneth thee, and not I: yea, thine own lips testify against thee.(KJV-1611) Job 15:6 Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou.(Creole-HT) ======= Job 15:7 ============ Job 15:7 Art thou the first man that was born? or wast thou made before the hills?(KJV-1611) Job 15:7 Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?(Creole-HT) ======= Job 15:8 ============ Job 15:8 Hast thou heard the secret of God? and dost thou restrain wisdom to thyself?(KJV-1611) Job 15:8 Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?(Creole-HT) ======= Job 15:9 ============ Job 15:9 What knowest thou, that we know not? what understandest thou, which is not in us?(KJV-1611) Job 15:9 Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?(Creole-HT) ======= Job 15:10 ============ Job 15:10 With us are both the grayheaded and very aged men, much elder than thy father.(KJV-1611) Job 15:10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.(Creole-HT) ======= Job 15:11 ============ Job 15:11 Are the consolations of God small with thee? is there any secret thing with thee?(KJV-1611) Job 15:11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.(Creole-HT) ======= Job 15:12 ============ Job 15:12 Why doth thine heart carry thee away? and what do thy eyes wink at,(KJV-1611) Job 15:12 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou!(Creole-HT) ======= Job 15:13 ============ Job 15:13 That thou turnest thy spirit against God, and lettest such words go out of thy mouth?(KJV-1611) Job 15:13 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'.(Creole-HT) ======= Job 15:14 ============ Job 15:14 What is man, that he should be clean? and he which is born of a woman, that he should be righteous?(KJV-1611) Job 15:14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?(Creole-HT) ======= Job 15:15 ============ Job 15:15 Behold, he putteth no trust in his saints; yea, the heavens are not clean in his sight.(KJV-1611) Job 15:15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'.(Creole-HT) ======= Job 15:16 ============ Job 15:16 How much more abominable and filthy is man, which drinketh iniquity like water?(KJV-1611) Job 15:16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!(Creole-HT) ======= Job 15:17 ============ Job 15:17 I will shew thee, hear me; and that which I have seen I will declare;(KJV-1611) Job 15:17 Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.(Creole-HT) ======= Job 15:18 ============ Job 15:18 Which wise men have told from their fathers, and have not hid it:(KJV-1611) Job 15:18 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'.(Creole-HT) ======= Job 15:19 ============ Job 15:19 Unto whom alone the earth was given, and no stranger passed among them.(KJV-1611) Job 15:19 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo.(Creole-HT) ======= Job 15:20 ============ Job 15:20 The wicked man travaileth with pain all his days, and the number of years is hidden to the oppressor.(KJV-1611) Job 15:20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.(Creole-HT) ======= Job 15:21 ============ Job 15:21 A dreadful sound is in his ears: in prosperity the destroyer shall come upon him.(KJV-1611) Job 15:21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Job 15:22 ============ Job 15:22 He believeth not that he shall return out of darkness, and he is waited for of the sword.(KJV-1611) Job 15:22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.(Creole-HT) ======= Job 15:23 ============ Job 15:23 He wandereth abroad for bread, saying, Where is it? he knoweth that the day of darkness is ready at his hand.(KJV-1611) Job 15:23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.(Creole-HT) ======= Job 15:24 ============ Job 15:24 Trouble and anguish shall make him afraid; they shall prevail against him, as a king ready to the battle.(KJV-1611) Job 15:24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.(Creole-HT) ======= Job 15:25 ============ Job 15:25 For he stretcheth out his hand against God, and strengtheneth himself against the Almighty.(KJV-1611) Job 15:25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.(Creole-HT) ======= Job 15:26 ============ Job 15:26 He runneth upon him, even on his neck, upon the thick bosses of his bucklers:(KJV-1611) Job 15:26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.(Creole-HT) ======= Job 15:27 ============ Job 15:27 Because he covereth his face with his fatness, and maketh collops of fat on his flanks.(KJV-1611) Job 15:27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!(Creole-HT) ======= Job 15:28 ============ Job 15:28 And he dwelleth in desolate cities, and in houses which no man inhabiteth, which are ready to become heaps.(KJV-1611) Job 15:28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.(Creole-HT) ======= Job 15:29 ============ Job 15:29 He shall not be rich, neither shall his substance continue, neither shall he prolong the perfection thereof upon the earth.(KJV-1611) Job 15:29 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.(Creole-HT) ======= Job 15:30 ============ Job 15:30 He shall not depart out of darkness; the flame shall dry up his branches, and by the breath of his mouth shall he go away.(KJV-1611) Job 15:30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.(Creole-HT) ======= Job 15:31 ============ Job 15:31 Let not him that is deceived trust in vanity: for vanity shall be his recompence.(KJV-1611) Job 15:31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.(Creole-HT) ======= Job 15:32 ============ Job 15:32 It shall be accomplished before his time, and his branch shall not be green.(KJV-1611) Job 15:32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò.(Creole-HT) ======= Job 15:33 ============ Job 15:33 He shall shake off his unripe grape as the vine, and shall cast off his flower as the olive.(KJV-1611) Job 15:33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'.(Creole-HT) ======= Job 15:34 ============ Job 15:34 For the congregation of hypocrites shall be desolate, and fire shall consume the tabernacles of bribery.(KJV-1611) Job 15:34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.(Creole-HT) ======= Job 15:35 ============ Job 15:35 They conceive mischief, and bring forth vanity, and their belly prepareth deceit.(KJV-1611) Job 15:35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.(Creole-HT) ======= Job 16:1 ============ Job 16:1 Then Job answered and said,(KJV-1611) Job 16:1 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 16:2 ============ Job 16:2 I have heard many such things: miserable comforters are ye all.(KJV-1611) Job 16:2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.(Creole-HT) ======= Job 16:3 ============ Job 16:3 Shall vain words have an end? or what emboldeneth thee that thou answerest?(KJV-1611) Job 16:3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!(Creole-HT) ======= Job 16:4 ============ Job 16:4 I also could speak as ye do: if your soul were in my soul's stead, I could heap up words against you, and shake mine head at you.(KJV-1611) Job 16:4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.(Creole-HT) ======= Job 16:5 ============ Job 16:5 But I would strengthen you with my mouth, and the moving of my lips should asswage your grief.(KJV-1611) Job 16:5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.(Creole-HT) ======= Job 16:6 ============ Job 16:6 Though I speak, my grief is not asswaged: and though I forbear, what am I eased?(KJV-1611) Job 16:6 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.(Creole-HT) ======= Job 16:7 ============ Job 16:7 But now he hath made me weary: thou hast made desolate all my company.(KJV-1611) Job 16:7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.(Creole-HT) ======= Job 16:8 ============ Job 16:8 And thou hast filled me with wrinkles, which is a witness against me: and my leanness rising up in me beareth witness to my face.(KJV-1611) Job 16:8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.(Creole-HT) ======= Job 16:9 ============ Job 16:9 He teareth me in his wrath, who hateth me: he gnasheth upon me with his teeth; mine enemy sharpeneth his eyes upon me.(KJV-1611) Job 16:9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!(Creole-HT) ======= Job 16:10 ============ Job 16:10 They have gaped upon me with their mouth; they have smitten me upon the cheek reproachfully; they have gathered themselves together against me.(KJV-1611) Job 16:10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.(Creole-HT) ======= Job 16:11 ============ Job 16:11 God hath delivered me to the ungodly, and turned me over into the hands of the wicked.(KJV-1611) Job 16:11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.(Creole-HT) ======= Job 16:12 ============ Job 16:12 I was at ease, but he hath broken me asunder: he hath also taken me by my neck, and shaken me to pieces, and set me up for his mark.(KJV-1611) Job 16:12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.(Creole-HT) ======= Job 16:13 ============ Job 16:13 His archers compass me round about, he cleaveth my reins asunder, and doth not spare; he poureth out my gall upon the ground.(KJV-1611) Job 16:13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.(Creole-HT) ======= Job 16:14 ============ Job 16:14 He breaketh me with breach upon breach, he runneth upon me like a giant.(KJV-1611) Job 16:14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.(Creole-HT) ======= Job 16:15 ============ Job 16:15 I have sewed sackcloth upon my skin, and defiled my horn in the dust.(KJV-1611) Job 16:15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.(Creole-HT) ======= Job 16:16 ============ Job 16:16 My face is foul with weeping, and on my eyelids is the shadow of death;(KJV-1611) Job 16:16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.(Creole-HT) ======= Job 16:17 ============ Job 16:17 Not for any injustice in mine hands: also my prayer is pure.(KJV-1611) Job 16:17 Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.(Creole-HT) ======= Job 16:18 ============ Job 16:18 O earth, cover not thou my blood, and let my cry have no place.(KJV-1611) Job 16:18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!(Creole-HT) ======= Job 16:19 ============ Job 16:19 Also now, behold, my witness is in heaven, and my record is on high.(KJV-1611) Job 16:19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.(Creole-HT) ======= Job 16:20 ============ Job 16:20 My friends scorn me: but mine eye poureth out tears unto God.(KJV-1611) Job 16:20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.(Creole-HT) ======= Job 16:21 ============ Job 16:21 O that one might plead for a man with God, as a man pleadeth for his neighbour!(KJV-1611) Job 16:21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.(Creole-HT) ======= Job 16:22 ============ Job 16:22 When a few years are come, then I shall go the way whence I shall not return.(KJV-1611) Job 16:22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.(Creole-HT) ======= Job 17:1 ============ Job 17:1 My breath is corrupt, my days are extinct, the graves are ready for me.(KJV-1611) Job 17:1 Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.(Creole-HT) ======= Job 17:2 ============ Job 17:2 Are there not mockers with me? and doth not mine eye continue in their provocation?(KJV-1611) Job 17:2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.(Creole-HT) ======= Job 17:3 ============ Job 17:3 Lay down now, put me in a surety with thee; who is he that will strike hands with me?(KJV-1611) Job 17:3 Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.(Creole-HT) ======= Job 17:4 ============ Job 17:4 For thou hast hid their heart from understanding: therefore shalt thou not exalt them.(KJV-1611) Job 17:4 Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 17:5 ============ Job 17:5 He that speaketh flattery to his friends, even the eyes of his children shall fail.(KJV-1611) Job 17:5 Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.(Creole-HT) ======= Job 17:6 ============ Job 17:6 He hath made me also a byword of the people; and aforetime I was as a tabret.(KJV-1611) Job 17:6 Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!(Creole-HT) ======= Job 17:7 ============ Job 17:7 Mine eye also is dim by reason of sorrow, and all my members are as a shadow.(KJV-1611) Job 17:7 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!(Creole-HT) ======= Job 17:8 ============ Job 17:8 Upright men shall be astonied at this, and the innocent shall stir up himself against the hypocrite.(KJV-1611) Job 17:8 Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= Job 17:9 ============ Job 17:9 The righteous also shall hold on his way, and he that hath clean hands shall be stronger and stronger.(KJV-1611) Job 17:9 Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.(Creole-HT) ======= Job 17:10 ============ Job 17:10 But as for you all, do ye return, and come now: for I cannot find one wise man among you.(KJV-1611) Job 17:10 Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 17:11 ============ Job 17:11 My days are past, my purposes are broken off, even the thoughts of my heart.(KJV-1611) Job 17:11 Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.(Creole-HT) ======= Job 17:12 ============ Job 17:12 They change the night into day: the light is short because of darkness.(KJV-1611) Job 17:12 Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.(Creole-HT) ======= Job 17:13 ============ Job 17:13 If I wait, the grave is mine house: I have made my bed in the darkness.(KJV-1611) Job 17:13 Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.(Creole-HT) ======= Job 17:14 ============ Job 17:14 I have said to corruption, Thou art my father: to the worm, Thou art my mother, and my sister.(KJV-1611) Job 17:14 Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.(Creole-HT) ======= Job 17:15 ============ Job 17:15 And where is now my hope? as for my hope, who shall see it?(KJV-1611) Job 17:15 Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?(Creole-HT) ======= Job 17:16 ============ Job 17:16 They shall go down to the bars of the pit, when our rest together is in the dust.(KJV-1611) Job 17:16 Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?(Creole-HT) ======= Job 18:1 ============ Job 18:1 Then answered Bildad the Shuhite, and said,(KJV-1611) Job 18:1 Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 18:2 ============ Job 18:2 How long will it be ere ye make an end of words? mark, and afterwards we will speak.(KJV-1611) Job 18:2 -Jòb monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè? Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!(Creole-HT) ======= Job 18:3 ============ Job 18:3 Wherefore are we counted as beasts, and reputed vile in your sight?(KJV-1611) Job 18:3 Poukisa ou pran nou pou moun san konprann? Poukisa ou pran nou pou zannimo?(Creole-HT) ======= Job 18:4 ============ Job 18:4 He teareth himself in his anger: shall the earth be forsaken for thee? and shall the rock be removed out of his place?(KJV-1611) Job 18:4 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?(Creole-HT) ======= Job 18:5 ============ Job 18:5 Yea, the light of the wicked shall be put out, and the spark of his fire shall not shine.(KJV-1611) Job 18:5 Wi, y'ap touye limyè mechan an, flanm dife l' la p'ap klere ankò.(Creole-HT) ======= Job 18:6 ============ Job 18:6 The light shall be dark in his tabernacle, and his candle shall be put out with him.(KJV-1611) Job 18:6 Lanp lakay li ap mouri, limyè lakay li ap tenyen.(Creole-HT) ======= Job 18:7 ============ Job 18:7 The steps of his strength shall be straitened, and his own counsel shall cast him down.(KJV-1611) Job 18:7 Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.(Creole-HT) ======= Job 18:8 ============ Job 18:8 For he is cast into a net by his own feet, and he walketh upon a snare.(KJV-1611) Job 18:8 Li pile yon pèlen, pye l' pran ladan l'.(Creole-HT) ======= Job 18:9 ============ Job 18:9 The gin shall take him by the heel, and the robber shall prevail against him.(KJV-1611) Job 18:9 Kòd la mare nan je pye l', l'ap sere l' byen sere.(Creole-HT) ======= Job 18:10 ============ Job 18:10 The snare is laid for him in the ground, and a trap for him in the way.(KJV-1611) Job 18:10 Yo kache yon chita tann pou li anba tè. Yo moute yon pèlen sou wout li.(Creole-HT) ======= Job 18:11 ============ Job 18:11 Terrors shall make him afraid on every side, and shall drive him to his feet.(KJV-1611) Job 18:11 Kote l' vire, malè ap tann li. Kote l' pase, yo la dèyè l'.(Creole-HT) ======= Job 18:12 ============ Job 18:12 His strength shall be hungerbitten, and destruction shall be ready at his side.(KJV-1611) Job 18:12 Grangou nan kò l' fini ak kouraj li. Malè kanpe la bò kote l' ap tann li.(Creole-HT) ======= Job 18:13 ============ Job 18:13 It shall devour the strength of his skin: even the firstborn of death shall devour his strength.(KJV-1611) Job 18:13 Yon sèl maladi po pete sou tout kò l'. L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo. Se tè ki pou geri l'.(Creole-HT) ======= Job 18:14 ============ Job 18:14 His confidence shall be rooted out of his tabernacle, and it shall bring him to the king of terrors.(KJV-1611) Job 18:14 Yo rale l' mete deyò anba tant kote li te al kache a. Yo trennen l' devan jeneral Lanmò.(Creole-HT) ======= Job 18:15 ============ Job 18:15 It shall dwell in his tabernacle, because it is none of his: brimstone shall be scattered upon his habitation.(KJV-1611) Job 18:15 Koulye a, nenpòt moun gen dwa pran kay li a pou yo. Y'ap dezenfèkte l' nèt ak souf.(Creole-HT) ======= Job 18:16 ============ Job 18:16 His roots shall be dried up beneath, and above shall his branch be cut off.(KJV-1611) Job 18:16 Anba tè, rasin li yo ap mouri. Anwo tè, branch li yo ap fennen.(Creole-HT) ======= Job 18:17 ============ Job 18:17 His remembrance shall perish from the earth, and he shall have no name in the street.(KJV-1611) Job 18:17 p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Job 18:18 ============ Job 18:18 He shall be driven from light into darkness, and chased out of the world.(KJV-1611) Job 18:18 Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.(Creole-HT) ======= Job 18:19 ============ Job 18:19 He shall neither have son nor nephew among his people, nor any remaining in his dwellings.(KJV-1611) Job 18:19 Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.(Creole-HT) ======= Job 18:20 ============ Job 18:20 They that come after him shall be astonied at his day, as they that went before were affrighted.(KJV-1611) Job 18:20 Depi solèy leve jouk solèy kouche, tout moun pral sezi wè jan li fini.(Creole-HT) ======= Job 18:21 ============ Job 18:21 Surely such are the dwellings of the wicked, and this is the place of him that knoweth not God.(KJV-1611) Job 18:21 Wi, men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo, fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.(Creole-HT) ======= Job 19:1 ============ Job 19:1 Then Job answered and said,(KJV-1611) Job 19:1 Jòb pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 19:2 ============ Job 19:2 How long will ye vex my soul, and break me in pieces with words?(KJV-1611) Job 19:2 -Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?(Creole-HT) ======= Job 19:3 ============ Job 19:3 These ten times have ye reproached me: ye are not ashamed that ye make yourselves strange to me.(KJV-1611) Job 19:3 Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?(Creole-HT) ======= Job 19:4 ============ Job 19:4 And be it indeed that I have erred, mine error remaineth with myself.(KJV-1611) Job 19:4 Menm si mwen ta fè sa m' pa t' dwe fè, ki jan pou sa ta ka fè nou mal?(Creole-HT) ======= Job 19:5 ============ Job 19:5 If indeed ye will magnify yourselves against me, and plead against me my reproach:(KJV-1611) Job 19:5 Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.(Creole-HT) ======= Job 19:6 ============ Job 19:6 Know now that God hath overthrown me, and hath compassed me with his net.(KJV-1611) Job 19:6 Nou pa wè se Bondye k'ap manyen avè m'. Se li menm ki pran m' nan pèlen.(Creole-HT) ======= Job 19:7 ============ Job 19:7 Behold, I cry out of wrong, but I am not heard: I cry aloud, but there is no judgment.(KJV-1611) Job 19:7 Si m' rele anmwe ansasen, pesonn p'ap reponn. Si m' mande jistis, pesonn p'ap kanpe pou defann mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:8 ============ Job 19:8 He hath fenced up my way that I cannot pass, and he hath set darkness in my paths.(KJV-1611) Job 19:8 Bondye bare tout chemen devan mwen. M' pa ka pase. Li fè m' wè tou nwa devan mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:9 ============ Job 19:9 He hath stripped me of my glory, and taken the crown from my head.(KJV-1611) Job 19:9 Li fè yo ban m' move non. Li fè m' pèdi tout byen m'.(Creole-HT) ======= Job 19:10 ============ Job 19:10 He hath destroyed me on every side, and I am gone: and mine hope hath he removed like a tree.(KJV-1611) Job 19:10 Li minen m' tout jan. M'ap deperi. Li wete tout espwa m'. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.(Creole-HT) ======= Job 19:11 ============ Job 19:11 He hath also kindled his wrath against me, and he counteth me unto him as one of his enemies.(KJV-1611) Job 19:11 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.(Creole-HT) ======= Job 19:12 ============ Job 19:12 His troops come together, and raise up their way against me, and encamp round about my tabernacle.(KJV-1611) Job 19:12 Li voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou, tankou yon lame k'ap atake m'. Yo rive sou mwen san m' pa wè sa. Yo sènen m' anndan lakay mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:13 ============ Job 19:13 He hath put my brethren far from me, and mine acquaintance are verily estranged from me.(KJV-1611) Job 19:13 Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:14 ============ Job 19:14 My kinsfolk have failed, and my familiar friends have forgotten me.(KJV-1611) Job 19:14 Tout fanmi mwen yo, tout bon zanmi m' yo disparèt. Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.(Creole-HT) ======= Job 19:15 ============ Job 19:15 They that dwell in mine house, and my maids, count me for a stranger: I am an alien in their sight.(KJV-1611) Job 19:15 Ata sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen. Pou yo, yo pa janm konnen m'.(Creole-HT) ======= Job 19:16 ============ Job 19:16 I called my servant, and he gave me no answer; I intreated him with my mouth.(KJV-1611) Job 19:16 Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen. Mwen te mèt lapriyè nan pye l', li pa okipe m'.(Creole-HT) ======= Job 19:17 ============ Job 19:17 My breath is strange to my wife, though I intreated for the children's sake of mine own body.(KJV-1611) Job 19:17 Madanm mwen pa ka pran sant mwen. Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m'.(Creole-HT) ======= Job 19:18 ============ Job 19:18 Yea, young children despised me; I arose, and they spake against me.(KJV-1611) Job 19:18 Tout timoun ap pase m' nan betiz. Si m' fè yon ti kanpe, yo pase m' nan tenten.(Creole-HT) ======= Job 19:19 ============ Job 19:19 All my inward friends abhorred me: and they whom I loved are turned against me.(KJV-1611) Job 19:19 Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.(Creole-HT) ======= Job 19:20 ============ Job 19:20 My bone cleaveth to my skin and to my flesh, and I am escaped with the skin of my teeth.(KJV-1611) Job 19:20 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.(Creole-HT) ======= Job 19:21 ============ Job 19:21 Have pity upon me, have pity upon me, O ye my friends; for the hand of God hath touched me.(KJV-1611) Job 19:21 Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:22 ============ Job 19:22 Why do ye persecute me as God, and are not satisfied with my flesh?(KJV-1611) Job 19:22 Poukisa pou nou leve dèyè m' tou menm jan ak Bondye? Koulye a, nou pa pèsekite m' kont nou?(Creole-HT) ======= Job 19:23 ============ Job 19:23 Oh that my words were now written! oh that they were printed in a book!(KJV-1611) Job 19:23 Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye,(Creole-HT) ======= Job 19:24 ============ Job 19:24 That they were graven with an iron pen and lead in the rock for ever!(KJV-1611) Job 19:24 pou grave yo ak sizo sou wòch plat, pou yo toujou rete make!(Creole-HT) ======= Job 19:25 ============ Job 19:25 For I know that my redeemer liveth, and that he shall stand at the latter day upon the earth:(KJV-1611) Job 19:25 Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 19:26 ============ Job 19:26 And though after my skin worms destroy this body, yet in my flesh shall I see God:(KJV-1611) Job 19:26 Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.(Creole-HT) ======= Job 19:27 ============ Job 19:27 Whom I shall see for myself, and mine eyes shall behold, and not another; though my reins be consumed within me.(KJV-1611) Job 19:27 Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,(Creole-HT) ======= Job 19:28 ============ Job 19:28 But ye should say, Why persecute we him, seeing the root of the matter is found in me?(KJV-1611) Job 19:28 paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?(Creole-HT) ======= Job 19:29 ============ Job 19:29 Be ye afraid of the sword: for wrath bringeth the punishments of the sword, that ye may know there is a judgment.(KJV-1611) Job 19:29 Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va soti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.(Creole-HT) ======= Job 20:1 ============ Job 20:1 Then answered Zophar the Naamathite, and said,(KJV-1611) Job 20:1 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 20:2 ============ Job 20:2 Therefore do my thoughts cause me to answer, and for this I make haste.(KJV-1611) Job 20:2 -Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m' reponn ou.(Creole-HT) ======= Job 20:3 ============ Job 20:3 I have heard the check of my reproach, and the spirit of my understanding causeth me to answer.(KJV-1611) Job 20:3 Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.(Creole-HT) ======= Job 20:4 ============ Job 20:4 Knowest thou not this of old, since man was placed upon earth,(KJV-1611) Job 20:4 Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,(Creole-HT) ======= Job 20:5 ============ Job 20:5 That the triumphing of the wicked is short, and the joy of the hypocrite but for a moment?(KJV-1611) Job 20:5 mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.(Creole-HT) ======= Job 20:6 ============ Job 20:6 Though his excellency mount up to the heavens, and his head reach unto the clouds;(KJV-1611) Job 20:6 Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,(Creole-HT) ======= Job 20:7 ============ Job 20:7 Yet he shall perish for ever like his own dung: they which have seen him shall say, Where is he?(KJV-1611) Job 20:7 y'ap rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.(Creole-HT) ======= Job 20:8 ============ Job 20:8 He shall fly away as a dream, and shall not be found: yea, he shall be chased away as a vision of the night.(KJV-1611) Job 20:8 Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.(Creole-HT) ======= Job 20:9 ============ Job 20:9 The eye also which saw him shall see him no more; neither shall his place any more behold him.(KJV-1611) Job 20:9 Moun ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.(Creole-HT) ======= Job 20:10 ============ Job 20:10 His children shall seek to please the poor, and his hands shall restore their goods.(KJV-1611) Job 20:10 Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.(Creole-HT) ======= Job 20:11 ============ Job 20:11 His bones are full of the sin of his youth, which shall lie down with him in the dust.(KJV-1611) Job 20:11 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Job 20:12 ============ Job 20:12 Though wickedness be sweet in his mouth, though he hide it under his tongue;(KJV-1611) Job 20:12 Lè l' t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.(Creole-HT) ======= Job 20:13 ============ Job 20:13 Though he spare it, and forsake it not; but keep it still within his mouth:(KJV-1611) Job 20:13 Li pa t' kite l' fin twò vit nan bouch li, pou l' te ka jwi gou a pandan lontan.(Creole-HT) ======= Job 20:14 ============ Job 20:14 Yet his meat in his bowels is turned, it is the gall of asps within him.(KJV-1611) Job 20:14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l' tankou si li te vale pwazon.(Creole-HT) ======= Job 20:15 ============ Job 20:15 He hath swallowed down riches, and he shall vomit them up again: God shall cast them out of his belly.(KJV-1611) Job 20:15 Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.(Creole-HT) ======= Job 20:16 ============ Job 20:16 He shall suck the poison of asps: the viper's tongue shall slay him.(KJV-1611) Job 20:16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l'.(Creole-HT) ======= Job 20:17 ============ Job 20:17 He shall not see the rivers, the floods, the brooks of honey and butter.(KJV-1611) Job 20:17 Li p'ap viv pou l' wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.(Creole-HT) ======= Job 20:18 ============ Job 20:18 That which he laboured for shall he restore, and shall not swallow it down: according to his substance shall the restitution be, and he shall not rejoice therein.(KJV-1611) Job 20:18 L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo.(Creole-HT) ======= Job 20:19 ============ Job 20:19 Because he hath oppressed and hath forsaken the poor; because he hath violently taken away an house which he builded not;(KJV-1611) Job 20:19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati.(Creole-HT) ======= Job 20:20 ============ Job 20:20 Surely he shall not feel quietness in his belly, he shall not save of that which he desired.(KJV-1611) Job 20:20 Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'.(Creole-HT) ======= Job 20:21 ============ Job 20:21 There shall none of his meat be left; therefore shall no man look for his goods.(KJV-1611) Job 20:21 Pesonn pa t' ka chape anba men l' sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Job 20:22 ============ Job 20:22 In the fulness of his sufficiency he shall be in straits: every hand of the wicked shall come upon him.(KJV-1611) Job 20:22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.(Creole-HT) ======= Job 20:23 ============ Job 20:23 When he is about to fill his belly, God shall cast the fury of his wrath upon him, and shall rain it upon him while he is eating.(KJV-1611) Job 20:23 Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.(Creole-HT) ======= Job 20:24 ============ Job 20:24 He shall flee from the iron weapon, and the bow of steel shall strike him through.(KJV-1611) Job 20:24 Lè l'ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l' pak an pak.(Creole-HT) ======= Job 20:25 ============ Job 20:25 It is drawn, and cometh out of the body; yea, the glittering sword cometh out of his gall: terrors are upon him.(KJV-1611) Job 20:25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.(Creole-HT) ======= Job 20:26 ============ Job 20:26 All darkness shall be hid in his secret places: a fire not blown shall consume him; it shall go ill with him that is left in his tabernacle.(KJV-1611) Job 20:26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.(Creole-HT) ======= Job 20:27 ============ Job 20:27 The heaven shall reveal his iniquity; and the earth shall rise up against him.(KJV-1611) Job 20:27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l'.(Creole-HT) ======= Job 20:28 ============ Job 20:28 The increase of his house shall depart, and his goods shall flow away in the day of his wrath.(KJV-1611) Job 20:28 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.(Creole-HT) ======= Job 20:29 ============ Job 20:29 This is the portion of a wicked man from God, and the heritage appointed unto him by God.(KJV-1611) Job 20:29 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Job 21:1 ============ Job 21:1 But Job answered and said,(KJV-1611) Job 21:1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 21:2 ============ Job 21:2 Hear diligently my speech, and let this be your consolations.(KJV-1611) Job 21:2 -Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a!(Creole-HT) ======= Job 21:3 ============ Job 21:3 Suffer me that I may speak; and after that I have spoken, mock on.(KJV-1611) Job 21:3 Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou!(Creole-HT) ======= Job 21:4 ============ Job 21:4 As for me, is my complaint to man? and if it were so, why should not my spirit be troubled?(KJV-1611) Job 21:4 Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò!(Creole-HT) ======= Job 21:5 ============ Job 21:5 Mark me, and be astonished, and lay your hand upon your mouth.(KJV-1611) Job 21:5 Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch.(Creole-HT) ======= Job 21:6 ============ Job 21:6 Even when I remember I am afraid, and trembling taketh hold on my flesh.(KJV-1611) Job 21:6 Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble.(Creole-HT) ======= Job 21:7 ============ Job 21:7 Wherefore do the wicked live, become old, yea, are mighty in power?(KJV-1611) Job 21:7 Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?(Creole-HT) ======= Job 21:8 ============ Job 21:8 Their seed is established in their sight with them, and their offspring before their eyes.(KJV-1611) Job 21:8 Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.(Creole-HT) ======= Job 21:9 ============ Job 21:9 Their houses are safe from fear, neither is the rod of God upon them.(KJV-1611) Job 21:9 Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.(Creole-HT) ======= Job 21:10 ============ Job 21:10 Their bull gendereth, and faileth not; their cow calveth, and casteth not her calf.(KJV-1611) Job 21:10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.(Creole-HT) ======= Job 21:11 ============ Job 21:11 They send forth their little ones like a flock, and their children dance.(KJV-1611) Job 21:11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit.(Creole-HT) ======= Job 21:12 ============ Job 21:12 They take the timbrel and harp, and rejoice at the sound of the organ.(KJV-1611) Job 21:12 Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.(Creole-HT) ======= Job 21:13 ============ Job 21:13 They spend their days in wealth, and in a moment go down to the grave.(KJV-1611) Job 21:13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.(Creole-HT) ======= Job 21:14 ============ Job 21:14 Therefore they say unto God, Depart from us; for we desire not the knowledge of thy ways.(KJV-1611) Job 21:14 Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.(Creole-HT) ======= Job 21:15 ============ Job 21:15 What is the Almighty, that we should serve him? and what profit should we have, if we pray unto him?(KJV-1611) Job 21:15 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?(Creole-HT) ======= Job 21:16 ============ Job 21:16 Lo, their good is not in their hand: the counsel of the wicked is far from me.(KJV-1611) Job 21:16 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non.(Creole-HT) ======= Job 21:17 ============ Job 21:17 How oft is the candle of the wicked put out! and how oft cometh their destruction upon them! God distributeth sorrows in his anger.(KJV-1611) Job 21:17 Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo,(Creole-HT) ======= Job 21:18 ============ Job 21:18 They are as stubble before the wind, and as chaff that the storm carrieth away.(KJV-1611) Job 21:18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?(Creole-HT) ======= Job 21:19 ============ Job 21:19 God layeth up his iniquity for his children: he rewardeth him, and he shall know it.(KJV-1611) Job 21:19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?(Creole-HT) ======= Job 21:20 ============ Job 21:20 His eyes shall see his destruction, and he shall drink of the wrath of the Almighty.(KJV-1611) Job 21:20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.(Creole-HT) ======= Job 21:21 ============ Job 21:21 For what pleasure hath he in his house after him, when the number of his months is cut off in the midst?(KJV-1611) Job 21:21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?(Creole-HT) ======= Job 21:22 ============ Job 21:22 Shall any teach God knowledge? seeing he judgeth those that are high.(KJV-1611) Job 21:22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè?(Creole-HT) ======= Job 21:23 ============ Job 21:23 One dieth in his full strength, being wholly at ease and quiet.(KJV-1611) Job 21:23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.(Creole-HT) ======= Job 21:24 ============ Job 21:24 His breasts are full of milk, and his bones are moistened with marrow.(KJV-1611) Job 21:24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.(Creole-HT) ======= Job 21:25 ============ Job 21:25 And another dieth in the bitterness of his soul, and never eateth with pleasure.(KJV-1611) Job 21:25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè.(Creole-HT) ======= Job 21:26 ============ Job 21:26 They shall lie down alike in the dust, and the worms shall cover them.(KJV-1611) Job 21:26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.(Creole-HT) ======= Job 21:27 ============ Job 21:27 Behold, I know your thoughts, and the devices which ye wrongfully imagine against me.(KJV-1611) Job 21:27 Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.(Creole-HT) ======= Job 21:28 ============ Job 21:28 For ye say, Where is the house of the prince? and where are the dwelling places of the wicked?(KJV-1611) Job 21:28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.(Creole-HT) ======= Job 21:29 ============ Job 21:29 Have ye not asked them that go by the way? and do ye not know their tokens,(KJV-1611) Job 21:29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay?(Creole-HT) ======= Job 21:30 ============ Job 21:30 That the wicked is reserved to the day of destruction? they shall be brought forth to the day of wrath.(KJV-1611) Job 21:30 Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!(Creole-HT) ======= Job 21:31 ============ Job 21:31 Who shall declare his way to his face? and who shall repay him what he hath done?(KJV-1611) Job 21:31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?(Creole-HT) ======= Job 21:32 ============ Job 21:32 Yet shall he be brought to the grave, and shall remain in the tomb.(KJV-1611) Job 21:32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.(Creole-HT) ======= Job 21:33 ============ Job 21:33 The clods of the valley shall be sweet unto him, and every man shall draw after him, as there are innumerable before him.(KJV-1611) Job 21:33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.(Creole-HT) ======= Job 21:34 ============ Job 21:34 How then comfort ye me in vain, seeing in your answers there remaineth falsehood?(KJV-1611) Job 21:34 Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.(Creole-HT) ======= Job 22:1 ============ Job 22:1 Then Eliphaz the Temanite answered and said,(KJV-1611) Job 22:1 Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 22:2 ============ Job 22:2 Can a man be profitable unto God, as he that is wise may be profitable unto himself?(KJV-1611) Job 22:2 -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.(Creole-HT) ======= Job 22:3 ============ Job 22:3 Is it any pleasure to the Almighty, that thou art righteous? or is it gain to him, that thou makest thy ways perfect?(KJV-1611) Job 22:3 Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat?(Creole-HT) ======= Job 22:4 ============ Job 22:4 Will he reprove thee for fear of thee? will he enter with thee into judgment?(KJV-1611) Job 22:4 Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?(Creole-HT) ======= Job 22:5 ============ Job 22:5 Is not thy wickedness great? and thine iniquities infinite?(KJV-1611) Job 22:5 Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.(Creole-HT) ======= Job 22:6 ============ Job 22:6 For thou hast taken a pledge from thy brother for nought, and stripped the naked of their clothing.(KJV-1611) Job 22:6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.(Creole-HT) ======= Job 22:7 ============ Job 22:7 Thou hast not given water to the weary to drink, and thou hast withholden bread from the hungry.(KJV-1611) Job 22:7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.(Creole-HT) ======= Job 22:8 ============ Job 22:8 But as for the mighty man, he had the earth; and the honourable man dwelt in it.(KJV-1611) Job 22:8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.(Creole-HT) ======= Job 22:9 ============ Job 22:9 Thou hast sent widows away empty, and the arms of the fatherless have been broken.(KJV-1611) Job 22:9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.(Creole-HT) ======= Job 22:10 ============ Job 22:10 Therefore snares are round about thee, and sudden fear troubleth thee;(KJV-1611) Job 22:10 Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.(Creole-HT) ======= Job 22:11 ============ Job 22:11 Or darkness, that thou canst not see; and abundance of waters cover thee.(KJV-1611) Job 22:11 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!(Creole-HT) ======= Job 22:12 ============ Job 22:12 Is not God in the height of heaven? and behold the height of the stars, how high they are!(KJV-1611) Job 22:12 Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.(Creole-HT) ======= Job 22:13 ============ Job 22:13 And thou sayest, How doth God know? can he judge through the dark cloud?(KJV-1611) Job 22:13 Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?(Creole-HT) ======= Job 22:14 ============ Job 22:14 Thick clouds are a covering to him, that he seeth not; and he walketh in the circuit of heaven.(KJV-1611) Job 22:14 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.(Creole-HT) ======= Job 22:15 ============ Job 22:15 Hast thou marked the old way which wicked men have trodden?(KJV-1611) Job 22:15 Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!(Creole-HT) ======= Job 22:16 ============ Job 22:16 Which were cut down out of time, whose foundation was overflown with a flood:(KJV-1611) Job 22:16 Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.(Creole-HT) ======= Job 22:17 ============ Job 22:17 Which said unto God, Depart from us: and what can the Almighty do for them?(KJV-1611) Job 22:17 Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?(Creole-HT) ======= Job 22:18 ============ Job 22:18 Yet he filled their houses with good things: but the counsel of the wicked is far from me.(KJV-1611) Job 22:18 Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.(Creole-HT) ======= Job 22:19 ============ Job 22:19 The righteous see it, and are glad: and the innocent laugh them to scorn.(KJV-1611) Job 22:19 Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.(Creole-HT) ======= Job 22:20 ============ Job 22:20 Whereas our substance is not cut down, but the remnant of them the fire consumeth.(KJV-1611) Job 22:20 Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.(Creole-HT) ======= Job 22:21 ============ Job 22:21 Acquaint now thyself with him, and be at peace: thereby good shall come unto thee.(KJV-1611) Job 22:21 Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!(Creole-HT) ======= Job 22:22 ============ Job 22:22 Receive, I pray thee, the law from his mouth, and lay up his words in thine heart.(KJV-1611) Job 22:22 Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.(Creole-HT) ======= Job 22:23 ============ Job 22:23 If thou return to the Almighty, thou shalt be built up, thou shalt put away iniquity far from thy tabernacles.(KJV-1611) Job 22:23 Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.(Creole-HT) ======= Job 22:24 ============ Job 22:24 Then shalt thou lay up gold as dust, and the gold of Ophir as the stones of the brooks.(KJV-1611) Job 22:24 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.(Creole-HT) ======= Job 22:25 ============ Job 22:25 Yea, the Almighty shall be thy defence, and thou shalt have plenty of silver.(KJV-1611) Job 22:25 Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.(Creole-HT) ======= Job 22:26 ============ Job 22:26 For then shalt thou have thy delight in the Almighty, and shalt lift up thy face unto God.(KJV-1611) Job 22:26 Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.(Creole-HT) ======= Job 22:27 ============ Job 22:27 Thou shalt make thy prayer unto him, and he shall hear thee, and thou shalt pay thy vows.(KJV-1611) Job 22:27 Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.(Creole-HT) ======= Job 22:28 ============ Job 22:28 Thou shalt also decree a thing, and it shall be established unto thee: and the light shall shine upon thy ways.(KJV-1611) Job 22:28 Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.(Creole-HT) ======= Job 22:29 ============ Job 22:29 When men are cast down, then thou shalt say, There is lifting up; and he shall save the humble person.(KJV-1611) Job 22:29 Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.(Creole-HT) ======= Job 22:30 ============ Job 22:30 He shall deliver the island of the innocent: and it is delivered by the pureness of thine hands.(KJV-1611) Job 22:30 L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.(Creole-HT) ======= Job 23:1 ============ Job 23:1 Then Job answered and said,(KJV-1611) Job 23:1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 23:2 ============ Job 23:2 Even to day is my complaint bitter: my stroke is heavier than my groaning.(KJV-1611) Job 23:2 -Fwa sa a ankò, m'ap kenbe tèt ak Bondye, m'ap plenyen nan pye l'. Se plenn m'ap plenn pou sa m'ap pase anba men l'.(Creole-HT) ======= Job 23:3 ============ Job 23:3 Oh that I knew where I might find him! that I might come even to his seat!(KJV-1611) Job 23:3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.(Creole-HT) ======= Job 23:4 ============ Job 23:4 I would order my cause before him, and fill my mouth with arguments.(KJV-1611) Job 23:4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen.(Creole-HT) ======= Job 23:5 ============ Job 23:5 I would know the words which he would answer me, and understand what he would say unto me.(KJV-1611) Job 23:5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'.(Creole-HT) ======= Job 23:6 ============ Job 23:6 Will he plead against me with his great power? No; but he would put strength in me.(KJV-1611) Job 23:6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase.(Creole-HT) ======= Job 23:7 ============ Job 23:7 There the righteous might dispute with him; so should I be delivered for ever from my judge.(KJV-1611) Job 23:7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.(Creole-HT) ======= Job 23:8 ============ Job 23:8 Behold, I go forward, but he is not there; and backward, but I cannot perceive him:(KJV-1611) Job 23:8 M' ale bò solèy leve, Bondye pa la. M' ale bò solèy kouche, mwen pa wè l' tou.(Creole-HT) ======= Job 23:9 ============ Job 23:9 On the left hand, where he doth work, but I cannot behold him: he hideth himself on the right hand, that I cannot see him:(KJV-1611) Job 23:9 Mwen moute nan nò al chache l', m' pa wè l'. Mwen desann nan sid, bichi!(Creole-HT) ======= Job 23:10 ============ Job 23:10 But he knoweth the way that I take: when he hath tried me, I shall come forth as gold.(KJV-1611) Job 23:10 Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.(Creole-HT) ======= Job 23:11 ============ Job 23:11 My foot hath held his steps, his way have I kept, and not declined.(KJV-1611) Job 23:11 M' mache pye pou pye dèyè l'. M' swiv chemen li mete devan m' lan. M' pa janm devire ni adwat ni agoch.(Creole-HT) ======= Job 23:12 ============ Job 23:12 Neither have I gone back from the commandment of his lips; I have esteemed the words of his mouth more than my necessary food.(KJV-1611) Job 23:12 Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.(Creole-HT) ======= Job 23:13 ============ Job 23:13 But he is in one mind, and who can turn him? and what his soul desireth, even that he doeth.(KJV-1611) Job 23:13 Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?(Creole-HT) ======= Job 23:14 ============ Job 23:14 For he performeth the thing that is appointed for me: and many such things are with him.(KJV-1611) Job 23:14 L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.(Creole-HT) ======= Job 23:15 ============ Job 23:15 Therefore am I troubled at his presence: when I consider, I am afraid of him.(KJV-1611) Job 23:15 Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.(Creole-HT) ======= Job 23:16 ============ Job 23:16 For God maketh my heart soft, and the Almighty troubleth me:(KJV-1611) Job 23:16 Men wi, se Bondye k'ap kraze kouraj mwen. Se Bondye menm mwen soti pè. Se pa fènwa a.(Creole-HT) ======= Job 23:17 ============ Job 23:17 Because I was not cut off before the darkness, neither hath he covered the darkness from my face.(KJV-1611) Job 23:17 Fènwa a kache Bondye pou m' pa wè l'. L' enpoze m' santi prezans li. Se tout!(Creole-HT) ======= Job 24:1 ============ Job 24:1 Why, seeing times are not hidden from the Almighty, do they that know him not see his days?(KJV-1611) Job 24:1 Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis?(Creole-HT) ======= Job 24:2 ============ Job 24:2 Some remove the landmarks; they violently take away flocks, and feed thereof.(KJV-1611) Job 24:2 Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo.(Creole-HT) ======= Job 24:3 ============ Job 24:3 They drive away the ass of the fatherless, they take the widow's ox for a pledge.(KJV-1611) Job 24:3 Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li.(Creole-HT) ======= Job 24:4 ============ Job 24:4 They turn the needy out of the way: the poor of the earth hide themselves together.(KJV-1611) Job 24:4 Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache.(Creole-HT) ======= Job 24:5 ============ Job 24:5 Behold, as wild asses in the desert, go they forth to their work; rising betimes for a prey: the wilderness yieldeth food for them and for their children.(KJV-1611) Job 24:5 Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.(Creole-HT) ======= Job 24:6 ============ Job 24:6 They reap every one his corn in the field: and they gather the vintage of the wicked.(KJV-1611) Job 24:6 Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo.(Creole-HT) ======= Job 24:7 ============ Job 24:7 They cause the naked to lodge without clothing, that they have no covering in the cold.(KJV-1611) Job 24:7 Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt.(Creole-HT) ======= Job 24:8 ============ Job 24:8 They are wet with the showers of the mountains, and embrace the rock for want of a shelter.(KJV-1611) Job 24:8 Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli.(Creole-HT) ======= Job 24:9 ============ Job 24:9 They pluck the fatherless from the breast, and take a pledge of the poor.(KJV-1611) Job 24:9 Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo.(Creole-HT) ======= Job 24:10 ============ Job 24:10 They cause him to go naked without clothing, and they take away the sheaf from the hungry;(KJV-1611) Job 24:10 Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou.(Creole-HT) ======= Job 24:11 ============ Job 24:11 Which make oil within their walls, and tread their winepresses, and suffer thirst.(KJV-1611) Job 24:11 Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo.(Creole-HT) ======= Job 24:12 ============ Job 24:12 Men groan from out of the city, and the soul of the wounded crieth out: yet God layeth not folly to them.(KJV-1611) Job 24:12 Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo.(Creole-HT) ======= Job 24:13 ============ Job 24:13 They are of those that rebel against the light; they know not the ways thereof, nor abide in the paths thereof.(KJV-1611) Job 24:13 Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Job 24:14 ============ Job 24:14 The murderer rising with the light killeth the poor and needy, and in the night is as a thief.(KJV-1611) Job 24:14 Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.(Creole-HT) ======= Job 24:15 ============ Job 24:15 The eye also of the adulterer waiteth for the twilight, saying, No eye shall see me: and disguiseth his face.(KJV-1611) Job 24:15 Mouche marye k'ap fè adiltè a ap tann solèy kouche konsa. Li bouche figi l' pou pesonn pa wè l'.(Creole-HT) ======= Job 24:16 ============ Job 24:16 In the dark they dig through houses, which they had marked for themselves in the daytime: they know not the light.(KJV-1611) Job 24:16 Lannwit, vòlè ap kraze kay moun. Lajounen yo kache, y'ap kouri pou solèy.(Creole-HT) ======= Job 24:17 ============ Job 24:17 For the morning is to them even as the shadow of death: if one know them, they are in the terrors of the shadow of death.(KJV-1611) Job 24:17 Yo pè limyè lajounen an. Men, pa gen anyen ki pou fè yo pè nan fènwa a.(Creole-HT) ======= Job 24:18 ============ Job 24:18 He is swift as the waters; their portion is cursed in the earth: he beholdeth not the way of the vineyards.(KJV-1611) Job 24:18 Lè sa a, Sofa di konsa: -Men dlo desann pote mechan yo ale. Madichon Bondye tonbe sou tout tè ki pou yo. Yo pa soti al travay nan jaden rezen yo.(Creole-HT) ======= Job 24:19 ============ Job 24:19 Drought and heat consume the snow waters: so doth the grave those which have sinned.(KJV-1611) Job 24:19 Menm jan chalè fonn lanèj, lèfini tè sèk bwè dlo a, se konsa moun k'ap fè peche yo ap disparèt ale nan peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Job 24:20 ============ Job 24:20 The womb shall forget him; the worm shall feed sweetly on him; he shall be no more remembered; and wickedness shall be broken as a tree.(KJV-1611) Job 24:20 Tout moun bliye yo. Ata manman ki fè yo pa chonje yo. Se vè k'ap manje kadav yo. Yo fini tankou yon pyebwa yo koupe jete.(Creole-HT) ======= Job 24:21 ============ Job 24:21 He evil entreateth the barren that beareth not: and doeth not good to the widow.(KJV-1611) Job 24:21 Tou sa rive konsa, paske li maltrete fanm ki pa ka fè pitit. Li san pitye pou vèv yo.(Creole-HT) ======= Job 24:22 ============ Job 24:22 He draweth also the mighty with his power: he riseth up, and no man is sure of life.(KJV-1611) Job 24:22 Lè sa a, Bondye detwi gwo chèf yo ak fòs ponyèt li. Li annik parèt, mechan an konnen li mouri.(Creole-HT) ======= Job 24:23 ============ Job 24:23 Though it be given him to be in safety, whereon he resteth; yet his eyes are upon their ways.(KJV-1611) Job 24:23 Bondye kite l' viv alèz san pwoblèm, men, se toutan l'ap veye tou sa l'ap fè.(Creole-HT) ======= Job 24:24 ============ Job 24:24 They are exalted for a little while, but are gone and brought low; they are taken out of the way as all other, and cut off as the tops of the ears of corn.(KJV-1611) Job 24:24 Zafè mechan yo mache byen pou yon tan. Men, apre sa, yo fennen tankou zèb savann, tankou tèt ble yo koupe.(Creole-HT) ======= Job 24:25 ============ Job 24:25 And if it be not so now, who will make me a liar, and make my speech nothing worth?(KJV-1611) Job 24:25 Si se pa konsa sa ye, ki moun ki ka demanti sa m' di la a? Ki moun ki ka fè wè pawòl mwen yo pa vo anyen?(Creole-HT) ======= Job 25:1 ============ Job 25:1 Then answered Bildad the Shuhite, and said,(KJV-1611) Job 25:1 Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 25:2 ============ Job 25:2 Dominion and fear are with him, he maketh peace in his high places.(KJV-1611) Job 25:2 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Job 25:3 ============ Job 25:3 Is there any number of his armies? and upon whom doth not his light arise?(KJV-1611) Job 25:3 Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.(Creole-HT) ======= Job 25:4 ============ Job 25:4 How then can man be justified with God? or how can he be clean that is born of a woman?(KJV-1611) Job 25:4 Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?(Creole-HT) ======= Job 25:5 ============ Job 25:5 Behold even to the moon, and it shineth not; yea, the stars are not pure in his sight.(KJV-1611) Job 25:5 Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.(Creole-HT) ======= Job 25:6 ============ Job 25:6 How much less man, that is a worm? and the son of man, which is a worm?(KJV-1611) Job 25:6 Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?(Creole-HT) ======= Job 26:1 ============ Job 26:1 But Job answered and said,(KJV-1611) Job 26:1 Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Job 26:2 ============ Job 26:2 How hast thou helped him that is without power? how savest thou the arm that hath no strength?(KJV-1611) Job 26:2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!(Creole-HT) ======= Job 26:3 ============ Job 26:3 How hast thou counselled him that hath no wisdom? and how hast thou plentifully declared the thing as it is?(KJV-1611) Job 26:3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!(Creole-HT) ======= Job 26:4 ============ Job 26:4 To whom hast thou uttered words? and whose spirit came from thee?(KJV-1611) Job 26:4 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?(Creole-HT) ======= Job 26:5 ============ Job 26:5 Dead things are formed from under the waters, and the inhabitants thereof.(KJV-1611) Job 26:5 Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.(Creole-HT) ======= Job 26:6 ============ Job 26:6 Hell is naked before him, and destruction hath no covering.(KJV-1611) Job 26:6 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'.(Creole-HT) ======= Job 26:7 ============ Job 26:7 He stretcheth out the north over the empty place, and hangeth the earth upon nothing.(KJV-1611) Job 26:7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.(Creole-HT) ======= Job 26:8 ============ Job 26:8 He bindeth up the waters in his thick clouds; and the cloud is not rent under them.(KJV-1611) Job 26:8 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.(Creole-HT) ======= Job 26:9 ============ Job 26:9 He holdeth back the face of his throne, and spreadeth his cloud upon it.(KJV-1611) Job 26:9 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.(Creole-HT) ======= Job 26:10 ============ Job 26:10 He hath compassed the waters with bounds, until the day and night come to an end.(KJV-1611) Job 26:10 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.(Creole-HT) ======= Job 26:11 ============ Job 26:11 The pillars of heaven tremble and are astonished at his reproof.(KJV-1611) Job 26:11 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.(Creole-HT) ======= Job 26:12 ============ Job 26:12 He divideth the sea with his power, and by his understanding he smiteth through the proud.(KJV-1611) Job 26:12 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.(Creole-HT) ======= Job 26:13 ============ Job 26:13 By his spirit he hath garnished the heavens; his hand hath formed the crooked serpent.(KJV-1611) Job 26:13 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.(Creole-HT) ======= Job 26:14 ============ Job 26:14 Lo, these are parts of his ways: but how little a portion is heard of him? but the thunder of his power who can understand?(KJV-1611) Job 26:14 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?(Creole-HT) ======= Job 27:1 ============ Job 27:1 Moreover Job continued his parable, and said,(KJV-1611) Job 27:1 Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 27:2 ============ Job 27:2 As God liveth, who hath taken away my judgment; and the Almighty, who hath vexed my soul;(KJV-1611) Job 27:2 -Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a,(Creole-HT) ======= Job 27:3 ============ Job 27:3 All the while my breath is in me, and the spirit of God is in my nostrils;(KJV-1611) Job 27:3 toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou,(Creole-HT) ======= Job 27:4 ============ Job 27:4 My lips shall not speak wickedness, nor my tongue utter deceit.(KJV-1611) Job 27:4 mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.(Creole-HT) ======= Job 27:5 ============ Job 27:5 God forbid that I should justify you: till I die I will not remove mine integrity from me.(KJV-1611) Job 27:5 Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.(Creole-HT) ======= Job 27:6 ============ Job 27:6 My righteousness I hold fast, and will not let it go: my heart shall not reproach me so long as I live.(KJV-1611) Job 27:6 Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont.(Creole-HT) ======= Job 27:7 ============ Job 27:7 Let mine enemy be as the wicked, and he that riseth up against me as the unrighteous.(KJV-1611) Job 27:7 Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Job 27:8 ============ Job 27:8 For what is the hope of the hypocrite, though he hath gained, when God taketh away his soul?(KJV-1611) Job 27:8 Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?(Creole-HT) ======= Job 27:9 ============ Job 27:9 Will God hear his cry when trouble cometh upon him?(KJV-1611) Job 27:9 Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?(Creole-HT) ======= Job 27:10 ============ Job 27:10 Will he delight himself in the Almighty? will he always call upon God?(KJV-1611) Job 27:10 Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.(Creole-HT) ======= Job 27:11 ============ Job 27:11 I will teach you by the hand of God: that which is with the Almighty will I not conceal.(KJV-1611) Job 27:11 Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Job 27:12 ============ Job 27:12 Behold, all ye yourselves have seen it; why then are ye thus altogether vain?(KJV-1611) Job 27:12 Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?(Creole-HT) ======= Job 27:13 ============ Job 27:13 This is the portion of a wicked man with God, and the heritage of oppressors, which they shall receive of the Almighty.(KJV-1611) Job 27:13 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.(Creole-HT) ======= Job 27:14 ============ Job 27:14 If his children be multiplied, it is for the sword: and his offspring shall not be satisfied with bread.(KJV-1611) Job 27:14 Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Job 27:15 ============ Job 27:15 Those that remain of him shall be buried in death: and his widows shall not weep.(KJV-1611) Job 27:15 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.(Creole-HT) ======= Job 27:16 ============ Job 27:16 Though he heap up silver as the dust, and prepare raiment as the clay;(KJV-1611) Job 27:16 Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen,(Creole-HT) ======= Job 27:17 ============ Job 27:17 He may prepare it, but the just shall put it on, and the innocent shall divide the silver.(KJV-1611) Job 27:17 se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.(Creole-HT) ======= Job 27:18 ============ Job 27:18 He buildeth his house as a moth, and as a booth that the keeper maketh.(KJV-1611) Job 27:18 Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.(Creole-HT) ======= Job 27:19 ============ Job 27:19 The rich man shall lie down, but he shall not be gathered: he openeth his eyes, and he is not.(KJV-1611) Job 27:19 Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.(Creole-HT) ======= Job 27:20 ============ Job 27:20 Terrors take hold on him as waters, a tempest stealeth him away in the night.(KJV-1611) Job 27:20 Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.(Creole-HT) ======= Job 27:21 ============ Job 27:21 The east wind carrieth him away, and he departeth: and as a storm hurleth him out of his place.(KJV-1611) Job 27:21 Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.(Creole-HT) ======= Job 27:22 ============ Job 27:22 For God shall cast upon him, and not spare: he would fain flee out of his hand.(KJV-1611) Job 27:22 Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'.(Creole-HT) ======= Job 27:23 ============ Job 27:23 Men shall clap their hands at him, and shall hiss him out of his place.(KJV-1611) Job 27:23 Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.(Creole-HT) ======= Job 28:1 ============ Job 28:1 Surely there is a vein for the silver, and a place for gold where they fine it.(KJV-1611) Job 28:1 Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.(Creole-HT) ======= Job 28:2 ============ Job 28:2 Iron is taken out of the earth, and brass is molten out of the stone.(KJV-1611) Job 28:2 Yo fouye tè pou jwenn fè. Yo fonn wòch pou jwenn kwiv.(Creole-HT) ======= Job 28:3 ============ Job 28:3 He setteth an end to darkness, and searcheth out all perfection: the stones of darkness, and the shadow of death.(KJV-1611) Job 28:3 Yo desann ak limyè anba tè, kote ki fè nwa anpil, yo fouye byen fon nan vant latè, mezi yo kapab. Y' al chache wòch ki kache kote ki fè nwa anpil la.(Creole-HT) ======= Job 28:4 ============ Job 28:4 The flood breaketh out from the inhabitant; even the waters forgotten of the foot: they are dried up, they are gone away from men.(KJV-1611) Job 28:4 Byen lwen, kote moun pa ka rete, kote moun pa janm mete pye yo, moun ap fouye gwo koridò anba tè. Y'ap travay pou kont yo, ak yon kòd pase nan ren yo, y'ap balanse nan twou yo.(Creole-HT) ======= Job 28:5 ============ Job 28:5 As for the earth, out of it cometh bread: and under it is turned up as it were fire.(KJV-1611) Job 28:5 Manje soti nan tè. Men, nan zantray latè a dife fin debòde.(Creole-HT) ======= Job 28:6 ============ Job 28:6 The stones of it are the place of sapphires: and it hath dust of gold.(KJV-1611) Job 28:6 Wòch latè a gen bèl pyè safi ladan l'. Nan pousyè a yo jwenn ti grenn lò.(Creole-HT) ======= Job 28:7 ============ Job 28:7 There is a path which no fowl knoweth, and which the vulture's eye hath not seen:(KJV-1611) Job 28:7 Koukou pa janm konnen chemen pou ale la. Karanklou pa janm wè kote sa a ak je l'.(Creole-HT) ======= Job 28:8 ============ Job 28:8 The lion's whelps have not trodden it, nor the fierce lion passed by it.(KJV-1611) Job 28:8 Ni lyon, ni ankenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.(Creole-HT) ======= Job 28:9 ============ Job 28:9 He putteth forth his hand upon the rock; he overturneth the mountains by the roots.(KJV-1611) Job 28:9 Yo fouye nan wòch dife. Yo fè gwo twou byen fon nan pye mòn yo.(Creole-HT) ======= Job 28:10 ============ Job 28:10 He cutteth out rivers among the rocks; and his eye seeth every precious thing.(KJV-1611) Job 28:10 Yo fè gwo koridò byen long nan wòch yo. Yo jwenn tout kalite bèl pyè bijou ki koute chè.(Creole-HT) ======= Job 28:11 ============ Job 28:11 He bindeth the floods from overflowing; and the thing that is hid bringeth he forth to light.(KJV-1611) Job 28:11 Yo fouye nan sous tèt dlo yo tou. Yo mete deyò tou sa ki te kache.(Creole-HT) ======= Job 28:12 ============ Job 28:12 But where shall wisdom be found? and where is the place of understanding?(KJV-1611) Job 28:12 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?(Creole-HT) ======= Job 28:13 ============ Job 28:13 Man knoweth not the price thereof; neither is it found in the land of the living.(KJV-1611) Job 28:13 Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li ankenn kote sou latè.(Creole-HT) ======= Job 28:14 ============ Job 28:14 The depth saith, It is not in me: and the sea saith, It is not with me.(KJV-1611) Job 28:14 Fon lanmè a deklare li pa gen bagay konsa. Lanmè a deklare bon konprann pa lakay li.(Creole-HT) ======= Job 28:15 ============ Job 28:15 It cannot be gotten for gold, neither shall silver be weighed for the price thereof.(KJV-1611) Job 28:15 Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'.(Creole-HT) ======= Job 28:16 ============ Job 28:16 It cannot be valued with the gold of Ophir, with the precious onyx, or the sapphire.(KJV-1611) Job 28:16 Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la.(Creole-HT) ======= Job 28:17 ============ Job 28:17 The gold and the crystal cannot equal it: and the exchange of it shall not be for jewels of fine gold.(KJV-1611) Job 28:17 Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò.(Creole-HT) ======= Job 28:18 ============ Job 28:18 No mention shall be made of coral, or of pearls: for the price of wisdom is above rubies.(KJV-1611) Job 28:18 Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi.(Creole-HT) ======= Job 28:19 ============ Job 28:19 The topaz of Ethiopia shall not equal it, neither shall it be valued with pure gold.(KJV-1611) Job 28:19 Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 28:20 ============ Job 28:20 Whence then cometh wisdom? and where is the place of understanding?(KJV-1611) Job 28:20 Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?(Creole-HT) ======= Job 28:21 ============ Job 28:21 Seeing it is hid from the eyes of all living, and kept close from the fowls of the air.(KJV-1611) Job 28:21 Pa gen moun, pa gen bèt ki ka wè l', pa menm zwazo k'ap vole nan syèl la.(Creole-HT) ======= Job 28:22 ============ Job 28:22 Destruction and death say, We have heard the fame thereof with our ears.(KJV-1611) Job 28:22 Ata lanmò ak simityè di se tande yo tande nonmen non l'.(Creole-HT) ======= Job 28:23 ============ Job 28:23 God understandeth the way thereof, and he knoweth the place thereof.(KJV-1611) Job 28:23 Se Bondye ase ki konn chemen an. Se li ase ki konnen kote li rete.(Creole-HT) ======= Job 28:24 ============ Job 28:24 For he looketh to the ends of the earth, and seeth under the whole heaven;(KJV-1611) Job 28:24 Paske Bondye wè dènye bout latè. Li voye je l', li gade tou sa ki anba syèl la.(Creole-HT) ======= Job 28:25 ============ Job 28:25 To make the weight for the winds; and he weigheth the waters by measure.(KJV-1611) Job 28:25 Lè Bondye t'ap bay van yo pèz yo, lè li t'ap bay dlo lanmè a mezi kote pou l' rive a,(Creole-HT) ======= Job 28:26 ============ Job 28:26 When he made a decree for the rain, and a way for the lightning of the thunder:(KJV-1611) Job 28:26 lè li t'ap bay lòd kote pou lapli tonbe ak chemen pou loraj yo pran lè y'ap gwonde,(Creole-HT) ======= Job 28:27 ============ Job 28:27 Then did he see it, and declare it; he prepared it, yea, and searched it out.(KJV-1611) Job 28:27 se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.(Creole-HT) ======= Job 28:28 ============ Job 28:28 And unto man he said, Behold, the fear of the LORD, that is wisdom; and to depart from evil is understanding.(KJV-1611) Job 28:28 Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.(Creole-HT) ======= Job 29:1 ============ Job 29:1 Moreover Job continued his parable, and said,(KJV-1611) Job 29:1 Jòb tanmen pale ankò, li di:(Creole-HT) ======= Job 29:2 ============ Job 29:2 Oh that I were as in months past, as in the days when God preserved me;(KJV-1611) Job 29:2 -Ki moun ki va fè m' viv tan lontan an, lè Bondye t'ap voye je sou mwen an?(Creole-HT) ======= Job 29:3 ============ Job 29:3 When his candle shined upon my head, and when by his light I walked through darkness;(KJV-1611) Job 29:3 Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.(Creole-HT) ======= Job 29:4 ============ Job 29:4 As I was in the days of my youth, when the secret of God was upon my tabernacle;(KJV-1611) Job 29:4 Nan tan sa a, tout zafè m' t'ap mache byen. Bondye te zanmi m'. Li t'ap pwoteje kay mwen.(Creole-HT) ======= Job 29:5 ============ Job 29:5 When the Almighty was yet with me, when my children were about me;(KJV-1611) Job 29:5 Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo.(Creole-HT) ======= Job 29:6 ============ Job 29:6 When I washed my steps with butter, and the rock poured me out rivers of oil;(KJV-1611) Job 29:6 Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.(Creole-HT) ======= Job 29:7 ============ Job 29:7 When I went out to the gate through the city, when I prepared my seat in the street!(KJV-1611) Job 29:7 Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,(Creole-HT) ======= Job 29:8 ============ Job 29:8 The young men saw me, and hid themselves: and the aged arose, and stood up.(KJV-1611) Job 29:8 wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 29:9 ============ Job 29:9 The princes refrained talking, and laid their hand on their mouth.(KJV-1611) Job 29:9 Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.(Creole-HT) ======= Job 29:10 ============ Job 29:10 The nobles held their peace, and their tongue cleaved to the roof of their mouth.(KJV-1611) Job 29:10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Job 29:11 ============ Job 29:11 When the ear heard me, then it blessed me; and when the eye saw me, it gave witness to me:(KJV-1611) Job 29:11 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'.(Creole-HT) ======= Job 29:12 ============ Job 29:12 Because I delivered the poor that cried, and the fatherless, and him that had none to help him.(KJV-1611) Job 29:12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.(Creole-HT) ======= Job 29:13 ============ Job 29:13 The blessing of him that was ready to perish came upon me: and I caused the widow's heart to sing for joy.(KJV-1611) Job 29:13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.(Creole-HT) ======= Job 29:14 ============ Job 29:14 I put on righteousness, and it clothed me: my judgment was as a robe and a diadem.(KJV-1611) Job 29:14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri.(Creole-HT) ======= Job 29:15 ============ Job 29:15 I was eyes to the blind, and feet was I to the lame.(KJV-1611) Job 29:15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.(Creole-HT) ======= Job 29:16 ============ Job 29:16 I was a father to the poor: and the cause which I knew not I searched out.(KJV-1611) Job 29:16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.(Creole-HT) ======= Job 29:17 ============ Job 29:17 And I brake the jaws of the wicked, and plucked the spoil out of his teeth.(KJV-1611) Job 29:17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.(Creole-HT) ======= Job 29:18 ============ Job 29:18 Then I said, I shall die in my nest, and I shall multiply my days as the sand.(KJV-1611) Job 29:18 Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze.(Creole-HT) ======= Job 29:19 ============ Job 29:19 My root was spread out by the waters, and the dew lay all night upon my branch.(KJV-1611) Job 29:19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.(Creole-HT) ======= Job 29:20 ============ Job 29:20 My glory was fresh in me, and my bow was renewed in my hand.(KJV-1611) Job 29:20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 29:21 ============ Job 29:21 Unto me men gave ear, and waited, and kept silence at my counsel.(KJV-1611) Job 29:21 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay.(Creole-HT) ======= Job 29:22 ============ Job 29:22 After my words they spake not again; and my speech dropped upon them.(KJV-1611) Job 29:22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.(Creole-HT) ======= Job 29:23 ============ Job 29:23 And they waited for me as for the rain; and they opened their mouth wide as for the latter rain.(KJV-1611) Job 29:23 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di.(Creole-HT) ======= Job 29:24 ============ Job 29:24 If I laughed on them, they believed it not; and the light of my countenance they cast not down.(KJV-1611) Job 29:24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.(Creole-HT) ======= Job 29:25 ============ Job 29:25 I chose out their way, and sat chief, and dwelt as a king in the army, as one that comforteth the mourners.(KJV-1611) Job 29:25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.(Creole-HT) ======= Job 30:1 ============ Job 30:1 But now they that are younger than I have me in derision, whose fathers I would have disdained to have set with the dogs of my flock.(KJV-1611) Job 30:1 Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.(Creole-HT) ======= Job 30:2 ============ Job 30:2 Yea, whereto might the strength of their hands profit me, in whom old age was perished?(KJV-1611) Job 30:2 Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.(Creole-HT) ======= Job 30:3 ============ Job 30:3 For want and famine they were solitary; fleeing into the wilderness in former time desolate and waste.(KJV-1611) Job 30:3 Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.(Creole-HT) ======= Job 30:4 ============ Job 30:4 Who cut up mallows by the bushes, and juniper roots for their meat.(KJV-1611) Job 30:4 Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.(Creole-HT) ======= Job 30:5 ============ Job 30:5 They were driven forth from among men, (they cried after them as after a thief;)(KJV-1611) Job 30:5 Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.(Creole-HT) ======= Job 30:6 ============ Job 30:6 To dwell in the cliffs of the valleys, in caves of the earth, and in the rocks.(KJV-1611) Job 30:6 Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.(Creole-HT) ======= Job 30:7 ============ Job 30:7 Among the bushes they brayed; under the nettles they were gathered together.(KJV-1611) Job 30:7 Y'ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.(Creole-HT) ======= Job 30:8 ============ Job 30:8 They were children of fools, yea, children of base men: they were viler than the earth.(KJV-1611) Job 30:8 Se te yon bann sanzave ki pa t' menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.(Creole-HT) ======= Job 30:9 ============ Job 30:9 And now am I their song, yea, I am their byword.(KJV-1611) Job 30:9 Koulye a, y'ap fè chante sou mwen. Y'ap bay istwa sou do m'.(Creole-HT) ======= Job 30:10 ============ Job 30:10 They abhor me, they flee far from me, and spare not to spit in my face.(KJV-1611) Job 30:10 Yo pè pwoche bò kote m' pou m' pa sal yo. Yo menm krache nan figi m'.(Creole-HT) ======= Job 30:11 ============ Job 30:11 Because he hath loosed my cord, and afflicted me, they have also let loose the bridle before me.(KJV-1611) Job 30:11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m' atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.(Creole-HT) ======= Job 30:12 ============ Job 30:12 Upon my right hand rise the youth; they push away my feet, and they raise up against me the ways of their destruction.(KJV-1611) Job 30:12 Bann moun sa yo leve dèyè m', y'ap fè m' kouri. Yo lage dèyè m' pou yo pran m'.(Creole-HT) ======= Job 30:13 ============ Job 30:13 They mar my path, they set forward my calamity, they have no helper.(KJV-1611) Job 30:13 Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.(Creole-HT) ======= Job 30:14 ============ Job 30:14 They came upon me as a wide breaking in of waters: in the desolation they rolled themselves upon me.(KJV-1611) Job 30:14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m' anba pye yo.(Creole-HT) ======= Job 30:15 ============ Job 30:15 Terrors are turned upon me: they pursue my soul as the wind: and my welfare passeth away as a cloud.(KJV-1611) Job 30:15 Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.(Creole-HT) ======= Job 30:16 ============ Job 30:16 And now my soul is poured out upon me; the days of affliction have taken hold upon me.(KJV-1611) Job 30:16 Koulye a, mwen prèt pou m' mouri. Lafliksyon ap fini avè m'.(Creole-HT) ======= Job 30:17 ============ Job 30:17 My bones are pierced in me in the night season: and my sinews take no rest.(KJV-1611) Job 30:17 Lannwit, tout zo nan kò m' ap fè m' mal. Doulè ap manje m' anndan san rete.(Creole-HT) ======= Job 30:18 ============ Job 30:18 By the great force of my disease is my garment changed: it bindeth me about as the collar of my coat.(KJV-1611) Job 30:18 Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 30:19 ============ Job 30:19 He hath cast me into the mire, and I am become like dust and ashes.(KJV-1611) Job 30:19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.(Creole-HT) ======= Job 30:20 ============ Job 30:20 I cry unto thee, and thou dost not hear me: I stand up, and thou regardest me not.(KJV-1611) Job 30:20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m' menm.(Creole-HT) ======= Job 30:21 ============ Job 30:21 Thou art become cruel to me: with thy strong hand thou opposest thyself against me.(KJV-1611) Job 30:21 Ou pa menm moun lan ankò. W'ap malmennen m'. Ou soti pou pèsekite m' ak tout fòs ou.(Creole-HT) ======= Job 30:22 ============ Job 30:22 Thou liftest me up to the wind; thou causest me to ride upon it, and dissolvest my substance.(KJV-1611) Job 30:22 Ou fè van pote m' ale. M'ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m'.(Creole-HT) ======= Job 30:23 ============ Job 30:23 For I know that thou wilt bring me to death, and to the house appointed for all living.(KJV-1611) Job 30:23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.(Creole-HT) ======= Job 30:24 ============ Job 30:24 Howbeit he will not stretch out his hand to the grave, though they cry in his destruction.(KJV-1611) Job 30:24 Poukisa w'ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?(Creole-HT) ======= Job 30:25 ============ Job 30:25 Did not I weep for him that was in trouble? was not my soul grieved for the poor?(KJV-1611) Job 30:25 Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo?(Creole-HT) ======= Job 30:26 ============ Job 30:26 When I looked for good, then evil came unto me: and when I waited for light, there came darkness.(KJV-1611) Job 30:26 Mwen t'ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t'ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m'.(Creole-HT) ======= Job 30:27 ============ Job 30:27 My bowels boiled, and rested not: the days of affliction prevented me.(KJV-1611) Job 30:27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m'ap soufri pi rèd.(Creole-HT) ======= Job 30:28 ============ Job 30:28 I went mourning without the sun: I stood up, and I cried in the congregation.(KJV-1611) Job 30:28 M'ap mache kagou, san pesonn pou konsole m'. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m'ap mande sekou.(Creole-HT) ======= Job 30:29 ============ Job 30:29 I am a brother to dragons, and a companion to owls.(KJV-1611) Job 30:29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.(Creole-HT) ======= Job 30:30 ============ Job 30:30 My skin is black upon me, and my bones are burned with heat.(KJV-1611) Job 30:30 Po m' vin tou nwa, l'ap dekale. Lafyèb ap manje m' nan zo.(Creole-HT) ======= Job 30:31 ============ Job 30:31 My harp also is turned to mourning, and my organ into the voice of them that weep.(KJV-1611) Job 30:31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m'ap tande.(Creole-HT) ======= Job 31:1 ============ Job 31:1 I made a covenant with mine eyes; why then should I think upon a maid?(KJV-1611) Job 31:1 Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.(Creole-HT) ======= Job 31:2 ============ Job 31:2 For what portion of God is there from above? and what inheritance of the Almighty from on high?(KJV-1611) Job 31:2 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?(Creole-HT) ======= Job 31:3 ============ Job 31:3 Is not destruction to the wicked? and a strange punishment to the workers of iniquity?(KJV-1611) Job 31:3 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.(Creole-HT) ======= Job 31:4 ============ Job 31:4 Doth not he see my ways, and count all my steps?(KJV-1611) Job 31:4 Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?(Creole-HT) ======= Job 31:5 ============ Job 31:5 If I have walked with vanity, or if my foot hath hasted to deceit;(KJV-1611) Job 31:5 Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?(Creole-HT) ======= Job 31:6 ============ Job 31:6 Let me be weighed in an even balance that God may know mine integrity.(KJV-1611) Job 31:6 Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.(Creole-HT) ======= Job 31:7 ============ Job 31:7 If my step hath turned out of the way, and mine heart walked after mine eyes, and if any blot hath cleaved to mine hands;(KJV-1611) Job 31:7 Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,(Creole-HT) ======= Job 31:8 ============ Job 31:8 Then let me sow, and let another eat; yea, let my offspring be rooted out.(KJV-1611) Job 31:8 se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.(Creole-HT) ======= Job 31:9 ============ Job 31:9 If mine heart have been deceived by a woman, or if I have laid wait at my neighbour's door;(KJV-1611) Job 31:9 Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,(Creole-HT) ======= Job 31:10 ============ Job 31:10 Then let my wife grind unto another, and let others bow down upon her.(KJV-1611) Job 31:10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.(Creole-HT) ======= Job 31:11 ============ Job 31:11 For this is an heinous crime; yea, it is an iniquity to be punished by the judges.(KJV-1611) Job 31:11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.(Creole-HT) ======= Job 31:12 ============ Job 31:12 For it is a fire that consumeth to destruction, and would root out all mine increase.(KJV-1611) Job 31:12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.(Creole-HT) ======= Job 31:13 ============ Job 31:13 If I did despise the cause of my manservant or of my maidservant, when they contended with me;(KJV-1611) Job 31:13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,(Creole-HT) ======= Job 31:14 ============ Job 31:14 What then shall I do when God riseth up? and when he visiteth, what shall I answer him?(KJV-1611) Job 31:14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?(Creole-HT) ======= Job 31:15 ============ Job 31:15 Did not he that made me in the womb make him? and did not one fashion us in the womb?(KJV-1611) Job 31:15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.(Creole-HT) ======= Job 31:16 ============ Job 31:16 If I have withheld the poor from their desire, or have caused the eyes of the widow to fail;(KJV-1611) Job 31:16 Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.(Creole-HT) ======= Job 31:17 ============ Job 31:17 Or have eaten my morsel myself alone, and the fatherless hath not eaten thereof;(KJV-1611) Job 31:17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.(Creole-HT) ======= Job 31:18 ============ Job 31:18 (For from my youth he was brought up with me, as with a father, and I have guided her from my mother's womb;)(KJV-1611) Job 31:18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.(Creole-HT) ======= Job 31:19 ============ Job 31:19 If I have seen any perish for want of clothing, or any poor without covering;(KJV-1611) Job 31:19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,(Creole-HT) ======= Job 31:20 ============ Job 31:20 If his loins have not blessed me, and if he were not warmed with the fleece of my sheep;(KJV-1611) Job 31:20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.(Creole-HT) ======= Job 31:21 ============ Job 31:21 If I have lifted up my hand against the fatherless, when I saw my help in the gate:(KJV-1611) Job 31:21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,(Creole-HT) ======= Job 31:22 ============ Job 31:22 Then let mine arm fall from my shoulder blade, and mine arm be broken from the bone.(KJV-1611) Job 31:22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.(Creole-HT) ======= Job 31:23 ============ Job 31:23 For destruction from God was a terror to me, and by reason of his highness I could not endure.(KJV-1611) Job 31:23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.(Creole-HT) ======= Job 31:24 ============ Job 31:24 If I have made gold my hope, or have said to the fine gold, Thou art my confidence;(KJV-1611) Job 31:24 Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.(Creole-HT) ======= Job 31:25 ============ Job 31:25 If I rejoice because my wealth was great, and because mine hand had gotten much;(KJV-1611) Job 31:25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.(Creole-HT) ======= Job 31:26 ============ Job 31:26 If I beheld the sun when it shined, or the moon walking in brightness;(KJV-1611) Job 31:26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.(Creole-HT) ======= Job 31:27 ============ Job 31:27 And my heart hath been secretly enticed, or my mouth hath kissed my hand:(KJV-1611) Job 31:27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.(Creole-HT) ======= Job 31:28 ============ Job 31:28 This also were an iniquity to be punished by the judge: for I should have denied the God that is above.(KJV-1611) Job 31:28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Job 31:29 ============ Job 31:29 If I rejoice at the destruction of him that hated me, or lifted up myself when evil found him:(KJV-1611) Job 31:29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Job 31:30 ============ Job 31:30 Neither have I suffered my mouth to sin by wishing a curse to his soul.(KJV-1611) Job 31:30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.(Creole-HT) ======= Job 31:31 ============ Job 31:31 If the men of my tabernacle said not, Oh that we had of his flesh! we cannot be satisfied.(KJV-1611) Job 31:31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.(Creole-HT) ======= Job 31:32 ============ Job 31:32 The stranger did not lodge in the street: but I opened my doors to the traveller.(KJV-1611) Job 31:32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.(Creole-HT) ======= Job 31:33 ============ Job 31:33 If I covered my transgressions as Adam, by hiding mine iniquity in my bosom:(KJV-1611) Job 31:33 Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.(Creole-HT) ======= Job 31:34 ============ Job 31:34 Did I fear a great multitude, or did the contempt of families terrify me, that I kept silence, and went not out of the door?(KJV-1611) Job 31:34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.(Creole-HT) ======= Job 31:35 ============ Job 31:35 Oh that one would hear me! behold, my desire is, that the Almighty would answer me, and that mine adversary had written a book.(KJV-1611) Job 31:35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,(Creole-HT) ======= Job 31:36 ============ Job 31:36 Surely I would take it upon my shoulder, and bind it as a crown to me.(KJV-1611) Job 31:36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.(Creole-HT) ======= Job 31:37 ============ Job 31:37 I would declare unto him the number of my steps; as a prince would I go near unto him.(KJV-1611) Job 31:37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.(Creole-HT) ======= Job 31:38 ============ Job 31:38 If my land cry against me, or that the furrows likewise thereof complain;(KJV-1611) Job 31:38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,(Creole-HT) ======= Job 31:39 ============ Job 31:39 If I have eaten the fruits thereof without money, or have caused the owners thereof to lose their life:(KJV-1611) Job 31:39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,(Creole-HT) ======= Job 31:40 ============ Job 31:40 Let thistles grow instead of wheat, and cockle instead of barley. The words of Job are ended.(KJV-1611) Job 31:40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.(Creole-HT) ======= Job 32:1 ============ Job 32:1 So these three men ceased to answer Job, because he was righteous in his own eyes.(KJV-1611) Job 32:1 Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.(Creole-HT) ======= Job 32:2 ============ Job 32:2 Then was kindled the wrath of Elihu the son of Barachel the Buzite, of the kindred of Ram: against Job was his wrath kindled, because he justified himself rather than God.(KJV-1611) Job 32:2 Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò.(Creole-HT) ======= Job 32:3 ============ Job 32:3 Also against his three friends was his wrath kindled, because they had found no answer, and yet had condemned Job.(KJV-1611) Job 32:3 Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a.(Creole-HT) ======= Job 32:4 ============ Job 32:4 Now Elihu had waited till Job had spoken, because they were elder than he.(KJV-1611) Job 32:4 Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'.(Creole-HT) ======= Job 32:5 ============ Job 32:5 When Elihu saw that there was no answer in the mouth of these three men, then his wrath was kindled.(KJV-1611) Job 32:5 Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.(Creole-HT) ======= Job 32:6 ============ Job 32:6 And Elihu the son of Barachel the Buzite answered and said, I am young, and ye are very old; wherefore I was afraid, and durst not shew you mine opinion.(KJV-1611) Job 32:6 Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.(Creole-HT) ======= Job 32:7 ============ Job 32:7 I said, Days should speak, and multitude of years should teach wisdom.(KJV-1611) Job 32:7 Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.(Creole-HT) ======= Job 32:8 ============ Job 32:8 But there is a spirit in man: and the inspiration of the Almighty giveth them understanding.(KJV-1611) Job 32:8 Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!(Creole-HT) ======= Job 32:9 ============ Job 32:9 Great men are not always wise: neither do the aged understand judgment.(KJV-1611) Job 32:9 Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Job 32:10 ============ Job 32:10 Therefore I said, Hearken to me; I also will shew mine opinion.(KJV-1611) Job 32:10 Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a.(Creole-HT) ======= Job 32:11 ============ Job 32:11 Behold, I waited for your words; I gave ear to your reasons, whilst ye searched out what to say.(KJV-1611) Job 32:11 Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.(Creole-HT) ======= Job 32:12 ============ Job 32:12 Yea, I attended unto you, and, behold, there was none of you that convinced Job, or that answered his words:(KJV-1611) Job 32:12 Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye.(Creole-HT) ======= Job 32:13 ============ Job 32:13 Lest ye should say, We have found out wisdom: God thrusteth him down, not man.(KJV-1611) Job 32:13 Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.(Creole-HT) ======= Job 32:14 ============ Job 32:14 Now he hath not directed his words against me: neither will I answer him with your speeches.(KJV-1611) Job 32:14 Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan.(Creole-HT) ======= Job 32:15 ============ Job 32:15 They were amazed, they answered no more: they left off speaking.(KJV-1611) Job 32:15 Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.(Creole-HT) ======= Job 32:16 ============ Job 32:16 When I had waited, (for they spake not, but stood still, and answered no more;)(KJV-1611) Job 32:16 Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.(Creole-HT) ======= Job 32:17 ============ Job 32:17 I said, I will answer also my part, I also will shew mine opinion.(KJV-1611) Job 32:17 Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a.(Creole-HT) ======= Job 32:18 ============ Job 32:18 For I am full of matter, the spirit within me constraineth me.(KJV-1611) Job 32:18 Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe.(Creole-HT) ======= Job 32:19 ============ Job 32:19 Behold, my belly is as wine which hath no vent; it is ready to burst like new bottles.(KJV-1611) Job 32:19 Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a.(Creole-HT) ======= Job 32:20 ============ Job 32:20 I will speak, that I may be refreshed: I will open my lips and answer.(KJV-1611) Job 32:20 Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou.(Creole-HT) ======= Job 32:21 ============ Job 32:21 Let me not, I pray you, accept any man's person, neither let me give flattering titles unto man.(KJV-1611) Job 32:21 Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.(Creole-HT) ======= Job 32:22 ============ Job 32:22 For I know not to give flattering titles; in so doing my maker would soon take me away.(KJV-1611) Job 32:22 Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.(Creole-HT) ======= Job 33:1 ============ Job 33:1 Wherefore, Job, I pray thee, hear my speeches, and hearken to all my words.(KJV-1611) Job 33:1 Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'.(Creole-HT) ======= Job 33:2 ============ Job 33:2 Behold, now I have opened my mouth, my tongue hath spoken in my mouth.(KJV-1611) Job 33:2 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Job 33:3 ============ Job 33:3 My words shall be of the uprightness of my heart: and my lips shall utter knowledge clearly.(KJV-1611) Job 33:3 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale.(Creole-HT) ======= Job 33:4 ============ Job 33:4 The spirit of God hath made me, and the breath of the Almighty hath given me life.(KJV-1611) Job 33:4 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi.(Creole-HT) ======= Job 33:5 ============ Job 33:5 If thou canst answer me, set thy words in order before me, stand up.(KJV-1611) Job 33:5 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'.(Creole-HT) ======= Job 33:6 ============ Job 33:6 Behold, I am according to thy wish in God's stead: I also am formed out of the clay.(KJV-1611) Job 33:6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.(Creole-HT) ======= Job 33:7 ============ Job 33:7 Behold, my terror shall not make thee afraid, neither shall my hand be heavy upon thee.(KJV-1611) Job 33:7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!(Creole-HT) ======= Job 33:8 ============ Job 33:8 Surely thou hast spoken in mine hearing, and I have heard the voice of thy words, saying,(KJV-1611) Job 33:8 Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:(Creole-HT) ======= Job 33:9 ============ Job 33:9 I am clean without transgression, I am innocent; neither is there iniquity in me.(KJV-1611) Job 33:9 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen.(Creole-HT) ======= Job 33:10 ============ Job 33:10 Behold, he findeth occasions against me, he counteth me for his enemy,(KJV-1611) Job 33:10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'.(Creole-HT) ======= Job 33:11 ============ Job 33:11 He putteth my feet in the stocks, he marketh all my paths.(KJV-1611) Job 33:11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè.(Creole-HT) ======= Job 33:12 ============ Job 33:12 Behold, in this thou art not just: I will answer thee, that God is greater than man.(KJV-1611) Job 33:12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.(Creole-HT) ======= Job 33:13 ============ Job 33:13 Why dost thou strive against him? for he giveth not account of any of his matters.(KJV-1611) Job 33:13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'?(Creole-HT) ======= Job 33:14 ============ Job 33:14 For God speaketh once, yea twice, yet man perceiveth it not.(KJV-1611) Job 33:14 Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di.(Creole-HT) ======= Job 33:15 ============ Job 33:15 In a dream, in a vision of the night, when deep sleep falleth upon men, in slumberings upon the bed;(KJV-1611) Job 33:15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.(Creole-HT) ======= Job 33:16 ============ Job 33:16 Then he openeth the ears of men, and sealeth their instruction,(KJV-1611) Job 33:16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.(Creole-HT) ======= Job 33:17 ============ Job 33:17 That he may withdraw man from his purpose, and hide pride from man.(KJV-1611) Job 33:17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.(Creole-HT) ======= Job 33:18 ============ Job 33:18 He keepeth back his soul from the pit, and his life from perishing by the sword.(KJV-1611) Job 33:18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.(Creole-HT) ======= Job 33:19 ============ Job 33:19 He is chastened also with pain upon his bed, and the multitude of his bones with strong pain:(KJV-1611) Job 33:19 Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.(Creole-HT) ======= Job 33:20 ============ Job 33:20 So that his life abhorreth bread, and his soul dainty meat.(KJV-1611) Job 33:20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.(Creole-HT) ======= Job 33:21 ============ Job 33:21 His flesh is consumed away, that it cannot be seen; and his bones that were not seen stick out.(KJV-1611) Job 33:21 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.(Creole-HT) ======= Job 33:22 ============ Job 33:22 Yea, his soul draweth near unto the grave, and his life to the destroyers.(KJV-1611) Job 33:22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen.(Creole-HT) ======= Job 33:23 ============ Job 33:23 If there be a messenger with him, an interpreter, one among a thousand, to shew unto man his uprightness:(KJV-1611) Job 33:23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.(Creole-HT) ======= Job 33:24 ============ Job 33:24 Then he is gracious unto him, and saith, Deliver him from going down to the pit: I have found a ransom.(KJV-1611) Job 33:24 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li.(Creole-HT) ======= Job 33:25 ============ Job 33:25 His flesh shall be fresher than a child's: he shall return to the days of his youth:(KJV-1611) Job 33:25 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn.(Creole-HT) ======= Job 33:26 ============ Job 33:26 He shall pray unto God, and he will be favourable unto him: and he shall see his face with joy: for he will render unto man his righteousness.(KJV-1611) Job 33:26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun.(Creole-HT) ======= Job 33:27 ============ Job 33:27 He looketh upon men, and if any say, I have sinned, and perverted that which was right, and it profited me not;(KJV-1611) Job 33:27 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.(Creole-HT) ======= Job 33:28 ============ Job 33:28 He will deliver his soul from going into the pit, and his life shall see the light.(KJV-1611) Job 33:28 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò.(Creole-HT) ======= Job 33:29 ============ Job 33:29 Lo, all these things worketh God oftentimes with man,(KJV-1611) Job 33:29 Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,(Creole-HT) ======= Job 33:30 ============ Job 33:30 To bring back his soul from the pit, to be enlightened with the light of the living.(KJV-1611) Job 33:30 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Job 33:31 ============ Job 33:31 Mark well, O Job, hearken unto me: hold thy peace, and I will speak.(KJV-1611) Job 33:31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale!(Creole-HT) ======= Job 33:32 ============ Job 33:32 If thou hast anything to say, answer me: speak, for I desire to justify thee.(KJV-1611) Job 33:32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.(Creole-HT) ======= Job 33:33 ============ Job 33:33 If not, hearken unto me: hold thy peace, and I shall teach thee wisdom.(KJV-1611) Job 33:33 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 34:1 ============ Job 34:1 Furthermore Elihu answered and said,(KJV-1611) Job 34:1 Eliyou pran lapawòl ankò. Li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 34:2 ============ Job 34:2 Hear my words, O ye wise men; and give ear unto me, ye that have knowledge.(KJV-1611) Job 34:2 -Nou menm moun lespri yo, koute sa m'ap di nou! Nèg save yo, louvri zòrèy nou!(Creole-HT) ======= Job 34:3 ============ Job 34:3 For the ear trieth words, as the mouth tasteth meat.(KJV-1611) Job 34:3 Zòrèy konnen lè pawòl bèl menm jan bouch konnen lè manje gou.(Creole-HT) ======= Job 34:4 ============ Job 34:4 Let us choose to us judgment: let us know among ourselves what is good.(KJV-1611) Job 34:4 Annou wè kote jistis la ye. Ann mete rezon an kote pou l' ye a.(Creole-HT) ======= Job 34:5 ============ Job 34:5 For Job hath said, I am righteous: and God hath taken away my judgment.(KJV-1611) Job 34:5 Jòb pretann li nan dwa li, se Bondye ki derefize rann li jistis.(Creole-HT) ======= Job 34:6 ============ Job 34:6 Should I lie against my right? my wound is incurable without transgression.(KJV-1611) Job 34:6 Li di: Si m' di m' antò, se manti m'ap bay. Mwen malad pou m' mouri. Men, m' pa fè anyen ki mal.(Creole-HT) ======= Job 34:7 ============ Job 34:7 What man is like Job, who drinketh up scorning like water?(KJV-1611) Job 34:7 Ou janm jwenn yon moun tankou Jòb? L'ap pase verite Bondye a nan betiz alèz tankou si se dlo l'ap bwè.(Creole-HT) ======= Job 34:8 ============ Job 34:8 Which goeth in company with the workers of iniquity, and walketh with wicked men.(KJV-1611) Job 34:8 Li fè bann ak moun k'ap fè mechanste yo. L'ap pwonmennen ansanm ak malveyan yo.(Creole-HT) ======= Job 34:9 ============ Job 34:9 For he hath said, It profiteth a man nothing that he should delight himself with God.(KJV-1611) Job 34:9 Se li menm menm ki di ak bouch li: Sa pa rapòte anyen, lè yon moun ap chache fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= Job 34:10 ============ Job 34:10 Therefore hearken unto me ye men of understanding: far be it from God, that he should do wickedness; and from the Almighty, that he should commit iniquity.(KJV-1611) Job 34:10 Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.(Creole-HT) ======= Job 34:11 ============ Job 34:11 For the work of a man shall he render unto him, and cause every man to find according to his ways.(KJV-1611) Job 34:11 Li bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Li aji ak yo dapre jan yo mennen bak yo.(Creole-HT) ======= Job 34:12 ============ Job 34:12 Yea, surely God will not do wickedly, neither will the Almighty pervert judgment.(KJV-1611) Job 34:12 Non! Bondye pa janm fè sa ki mal. Bondye ki gen tout pouvwa a pa nan paspouki.(Creole-HT) ======= Job 34:13 ============ Job 34:13 Who hath given him a charge over the earth? or who hath disposed the whole world?(KJV-1611) Job 34:13 Se pa yon lòt moun ki te bay Bondye pouvwa pou l' gouvènen latè, ni se pa yon lòt moun ki te mete tou sa ki egziste sou kont li.(Creole-HT) ======= Job 34:14 ============ Job 34:14 If he set his heart upon man, if he gather unto himself his spirit and his breath;(KJV-1611) Job 34:14 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Job 34:15 ============ Job 34:15 All flesh shall perish together, and man shall turn again unto dust.(KJV-1611) Job 34:15 Si Bondye te kenbe souf ki bay lavi a pou tèt li, yon sèl kou a, bèt kou moun ta mouri. Yo ta tounen pousyè tè ankò.(Creole-HT) ======= Job 34:16 ============ Job 34:16 If now thou hast understanding, hear this: hearken to the voice of my words.(KJV-1611) Job 34:16 Si nou gen bon konprann, koute sa byen. Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap di.(Creole-HT) ======= Job 34:17 ============ Job 34:17 Shall even he that hateth right govern? and wilt thou condemn him that is most just?(KJV-1611) Job 34:17 Eske n'ap kondannen Bondye ki gen tout pouvwa a, epi k'ap rann jistis la? Eske yon moun ki pa vle wè jistis ka gouvènen?(Creole-HT) ======= Job 34:18 ============ Job 34:18 Is it fit to say to a king, Thou art wicked? and to princes, Ye are ungodly?(KJV-1611) Job 34:18 Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.(Creole-HT) ======= Job 34:19 ============ Job 34:19 How much less to him that accepteth not the persons of princes, nor regardeth the rich more than the poor? for they all are the work of his hands.(KJV-1611) Job 34:19 Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.(Creole-HT) ======= Job 34:20 ============ Job 34:20 In a moment shall they die, and the people shall be troubled at midnight, and pass away: and the mighty shall be taken away without hand.(KJV-1611) Job 34:20 Yo rete konsa yo mouri, yo ale nan mitan lannwit. Pèp la annik souke kò l', yo disparèt. Bondye touye gwo chèf yo san li pa leve ti dwèt li.(Creole-HT) ======= Job 34:21 ============ Job 34:21 For his eyes are upon the ways of man, and he seeth all his goings.(KJV-1611) Job 34:21 L'ap veye tout vire tounen lèzòm. L'ap gade tout kote y'ap mete pye yo.(Creole-HT) ======= Job 34:22 ============ Job 34:22 There is no darkness, nor shadow of death, where the workers of iniquity may hide themselves.(KJV-1611) Job 34:22 Pa gen ankenn fènwa, ni ankenn lonbray ki ka anpeche l' wè sa mechan yo ap fè.(Creole-HT) ======= Job 34:23 ============ Job 34:23 For he will not lay upon man more than right; that he should enter into judgment with God.(KJV-1611) Job 34:23 Li pa bezwen voye manda bay moun pou yo prezante devan l' pou l' jije yo.(Creole-HT) ======= Job 34:24 ============ Job 34:24 He shall break in pieces mighty men without number, and set others in their stead.(KJV-1611) Job 34:24 Li pa bezwen nan chache konnen pou l' kraze chèf yo, lèfini pou l' mete lòt moun nan plas yo.(Creole-HT) ======= Job 34:25 ============ Job 34:25 Therefore he knoweth their works, and he overturneth them in the night, so that they are destroyed.(KJV-1611) Job 34:25 Paske li konnen dènye sa yo fè. Yon jou lannwit konsa, li desann yo li pilonnen yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= Job 34:26 ============ Job 34:26 He striketh them as wicked men in the open sight of others;(KJV-1611) Job 34:26 Li souflete yo tankou malfektè nan mitan lari pou tout moun ka wè.(Creole-HT) ======= Job 34:27 ============ Job 34:27 Because they turned back from him, and would not consider any of his ways:(KJV-1611) Job 34:27 Paske yo te vire do ba li, yo te fè tankou yo pa konnen lòd li bay yo.(Creole-HT) ======= Job 34:28 ============ Job 34:28 So that they cause the cry of the poor to come unto him, and he heareth the cry of the afflicted.(KJV-1611) Job 34:28 Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo.(Creole-HT) ======= Job 34:29 ============ Job 34:29 When he giveth quietness, who then can make trouble? and when he hideth his face, who then can behold him? whether it be done against a nation, or against a man only:(KJV-1611) Job 34:29 Men, si Bondye rete san l' pa fè anyen, ki moun ki ka di l' kichòy? Si li kache kò li, ki moun ki ka wè l'! Men, pa pè! L'ap veye sou tout moun nan tout peyi.(Creole-HT) ======= Job 34:30 ============ Job 34:30 That the hypocrite reign not, lest the people be ensnared.(KJV-1611) Job 34:30 Li p'ap kite move chèf gouvènen yo, li p'ap kite yo tann pèlen pou pèp la.(Creole-HT) ======= Job 34:31 ============ Job 34:31 Surely it is meet to be said unto God, I have borne chastisement, I will not offend any more:(KJV-1611) Job 34:31 Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.(Creole-HT) ======= Job 34:32 ============ Job 34:32 That which I see not teach thou me: if I have done iniquity, I will do no more.(KJV-1611) Job 34:32 Tanpri. Louvri je m'. Fe m' wè sa m' fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.(Creole-HT) ======= Job 34:33 ============ Job 34:33 Should it be according to thy mind? he will recompense it, whether thou refuse, or whether thou choose; and not I: therefore speak what thou knowest.(KJV-1611) Job 34:33 Dapre ou, Jòb, èske se pou Bondye pini l'? Mwen mande ou sa paske m' konnen ou pa dakò ak sa Bondye fè a. Men, se ou menm ki pou deside. Pa mwen menm. Manyè di m' sa ki nan kè ou.(Creole-HT) ======= Job 34:34 ============ Job 34:34 Let men of understanding tell me, and let a wise man hearken unto me.(KJV-1611) Job 34:34 Moun lespri ansanm ak moun bon konprann k'ap koute m' yo va di m' konsa:(Creole-HT) ======= Job 34:35 ============ Job 34:35 Job hath spoken without knowledge, and his words were without wisdom.(KJV-1611) Job 34:35 Jòb ap pale anpil, men li pa konn sa l'ap di. Tou sa l'ap di yo pa gen ni pye ni tèt.(Creole-HT) ======= Job 34:36 ============ Job 34:36 My desire is that Job may be tried unto the end because of his answers for wicked men.(KJV-1611) Job 34:36 Egzaminen byen tou sa Jòb di la a. N'a wè li pale tankou yon moun ki mechan nan kè l'.(Creole-HT) ======= Job 34:37 ============ Job 34:37 For he addeth rebellion unto his sin, he clappeth his hands among us, and multiplieth his words against God.(KJV-1611) Job 34:37 Li fin fè kont peche l', koulye a l'ap kenbe tèt ak Bondye. L'ap seye fè nou konprann li pa antò. L'ap plede fè Bondye remontrans.(Creole-HT) ======= Job 35:1 ============ Job 35:1 Elihu spake moreover, and said,(KJV-1611) Job 35:1 Eliyou pran lapawòl ankò, li di:(Creole-HT) ======= Job 35:2 ============ Job 35:2 Thinkest thou this to be right, that thou saidst, My righteousness is more than God's?(KJV-1611) Job 35:2 -Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,(Creole-HT) ======= Job 35:3 ============ Job 35:3 For thou saidst, What advantage will it be unto thee? and, What profit shall I have, if I be cleansed from my sin?(KJV-1611) Job 35:3 lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen.(Creole-HT) ======= Job 35:4 ============ Job 35:4 I will answer thee, and thy companions with thee.(KJV-1611) Job 35:4 Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.(Creole-HT) ======= Job 35:5 ============ Job 35:5 Look unto the heavens, and see; and behold the clouds which are higher than thou.(KJV-1611) Job 35:5 Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!(Creole-HT) ======= Job 35:6 ============ Job 35:6 If thou sinnest, what doest thou against him? or if thy transgressions be multiplied, what doest thou unto him?(KJV-1611) Job 35:6 Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen?(Creole-HT) ======= Job 35:7 ============ Job 35:7 If thou be righteous, what givest thou him? or what receiveth he of thine hand?(KJV-1611) Job 35:7 Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?(Creole-HT) ======= Job 35:8 ============ Job 35:8 Thy wickedness may hurt a man as thou art; and thy righteousness may profit the son of man.(KJV-1611) Job 35:8 Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Job 35:9 ============ Job 35:9 By reason of the multitude of oppressions they make the oppressed to cry: they cry out by reason of the arm of the mighty.(KJV-1611) Job 35:9 Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.(Creole-HT) ======= Job 35:10 ============ Job 35:10 But none saith, Where is God my maker, who giveth songs in the night;(KJV-1611) Job 35:10 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj.(Creole-HT) ======= Job 35:11 ============ Job 35:11 Who teacheth us more than the beasts of the earth, and maketh us wiser than the fowls of heaven?(KJV-1611) Job 35:11 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Job 35:12 ============ Job 35:12 There they cry, but none giveth answer, because of the pride of evil men.(KJV-1611) Job 35:12 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.(Creole-HT) ======= Job 35:13 ============ Job 35:13 Surely God will not hear vanity, neither will the Almighty regard it.(KJV-1611) Job 35:13 Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.(Creole-HT) ======= Job 35:14 ============ Job 35:14 Although thou sayest thou shalt not see him, yet judgment is before him; therefore trust thou in him.(KJV-1611) Job 35:14 Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.(Creole-HT) ======= Job 35:15 ============ Job 35:15 But now, because it is not so, he hath visited in his anger; yet he knoweth it not in great extremity:(KJV-1611) Job 35:15 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen.(Creole-HT) ======= Job 35:16 ============ Job 35:16 Therefore doth Job open his mouth in vain; he multiplieth words without knowledge.(KJV-1611) Job 35:16 Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.(Creole-HT) ======= Job 36:1 ============ Job 36:1 Elihu also proceeded, and said,(KJV-1611) Job 36:1 Eliyou pran pale ankò, li di konsa:(Creole-HT) ======= Job 36:2 ============ Job 36:2 Suffer me a little, and I will shew thee that I have yet to speak on God's behalf.(KJV-1611) Job 36:2 -Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye.(Creole-HT) ======= Job 36:3 ============ Job 36:3 I will fetch my knowledge from afar, and will ascribe righteousness to my Maker.(KJV-1611) Job 36:3 Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon.(Creole-HT) ======= Job 36:4 ============ Job 36:4 For truly my words shall not be false: he that is perfect in knowledge is with thee.(KJV-1611) Job 36:4 Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.(Creole-HT) ======= Job 36:5 ============ Job 36:5 Behold, God is mighty, and despiseth not any: he is mighty in strength and wisdom.(KJV-1611) Job 36:5 Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.(Creole-HT) ======= Job 36:6 ============ Job 36:6 He preserveth not the life of the wicked: but giveth right to the poor.(KJV-1611) Job 36:6 Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.(Creole-HT) ======= Job 36:7 ============ Job 36:7 He withdraweth not his eyes from the righteous: but with kings are they on the throne; yea, he doth establish them for ever, and they are exalted.(KJV-1611) Job 36:7 Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo.(Creole-HT) ======= Job 36:8 ============ Job 36:8 And if they be bound in fetters, and be holden in cords of affliction;(KJV-1611) Job 36:8 Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo,(Creole-HT) ======= Job 36:9 ============ Job 36:9 Then he sheweth them their work, and their transgressions that they have exceeded.(KJV-1611) Job 36:9 Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.(Creole-HT) ======= Job 36:10 ============ Job 36:10 He openeth also their ear to discipline, and commandeth that they return from iniquity.(KJV-1611) Job 36:10 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Job 36:11 ============ Job 36:11 If they obey and serve him, they shall spend their days in prosperity, and their years in pleasures.(KJV-1611) Job 36:11 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.(Creole-HT) ======= Job 36:12 ============ Job 36:12 But if they obey not, they shall perish by the sword, and they shall die without knowledge.(KJV-1611) Job 36:12 Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.(Creole-HT) ======= Job 36:13 ============ Job 36:13 But the hypocrites in heart heap up wrath: they cry not when he bindeth them.(KJV-1611) Job 36:13 Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.(Creole-HT) ======= Job 36:14 ============ Job 36:14 They die in youth, and their life is among the unclean.(KJV-1611) Job 36:14 Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.(Creole-HT) ======= Job 36:15 ============ Job 36:15 He delivereth the poor in his affliction, and openeth their ears in oppression.(KJV-1611) Job 36:15 Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.(Creole-HT) ======= Job 36:16 ============ Job 36:16 Even so would he have removed thee out of the strait into a broad place, where there is no straitness; and that which should be set on thy table should be full of fatness.(KJV-1611) Job 36:16 Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.(Creole-HT) ======= Job 36:17 ============ Job 36:17 But thou hast fulfilled the judgment of the wicked: judgment and justice take hold on thee.(KJV-1611) Job 36:17 Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.(Creole-HT) ======= Job 36:18 ============ Job 36:18 Because there is wrath, beware lest he take thee away with his stroke: then a great ransom cannot deliver thee.(KJV-1611) Job 36:18 Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!(Creole-HT) ======= Job 36:19 ============ Job 36:19 Will he esteem thy riches? no, not gold, nor all the forces of strength.(KJV-1611) Job 36:19 Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la.(Creole-HT) ======= Job 36:20 ============ Job 36:20 Desire not the night, when people are cut off in their place.(KJV-1611) Job 36:20 Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo.(Creole-HT) ======= Job 36:21 ============ Job 36:21 Take heed, regard not iniquity: for this hast thou chosen rather than affliction.(KJV-1611) Job 36:21 Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.(Creole-HT) ======= Job 36:22 ============ Job 36:22 Behold, God exalteth by his power: who teacheth like him?(KJV-1611) Job 36:22 Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.(Creole-HT) ======= Job 36:23 ============ Job 36:23 Who hath enjoined him his way? or who can say, Thou hast wrought iniquity?(KJV-1611) Job 36:23 Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.(Creole-HT) ======= Job 36:24 ============ Job 36:24 Remember that thou magnify his work, which men behold.(KJV-1611) Job 36:24 Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.(Creole-HT) ======= Job 36:25 ============ Job 36:25 Every man may see it; man may behold it afar off.(KJV-1611) Job 36:25 Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.(Creole-HT) ======= Job 36:26 ============ Job 36:26 Behold, God is great, and we know him not, neither can the number of his years be searched out.(KJV-1611) Job 36:26 Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.(Creole-HT) ======= Job 36:27 ============ Job 36:27 For he maketh small the drops of water: they pour down rain according to the vapour thereof:(KJV-1611) Job 36:27 Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.(Creole-HT) ======= Job 36:28 ============ Job 36:28 Which the clouds do drop and distil upon man abundantly.(KJV-1611) Job 36:28 Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè.(Creole-HT) ======= Job 36:29 ============ Job 36:29 Also can any understand the spreadings of the clouds, or the noise of his tabernacle?(KJV-1611) Job 36:29 Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.(Creole-HT) ======= Job 36:30 ============ Job 36:30 Behold, he spreadeth his light upon it, and covereth the bottom of the sea.(KJV-1611) Job 36:30 Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.(Creole-HT) ======= Job 36:31 ============ Job 36:31 For by them judgeth he the people; he giveth meat in abundance.(KJV-1611) Job 36:31 Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.(Creole-HT) ======= Job 36:32 ============ Job 36:32 With clouds he covereth the light; and commandeth it not to shine by the cloud that cometh betwixt.(KJV-1611) Job 36:32 Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.(Creole-HT) ======= Job 36:33 ============ Job 36:33 The noise thereof sheweth concerning it, the cattle also concerning the vapour.(KJV-1611) Job 36:33 Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.(Creole-HT) ======= Job 37:1 ============ Job 37:1 At this also my heart trembleth, and is moved out of his place.(KJV-1611) Job 37:1 Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.(Creole-HT) ======= Job 37:2 ============ Job 37:2 Hear attentively the noise of his voice, and the sound that goeth out of his mouth.(KJV-1611) Job 37:2 Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!(Creole-HT) ======= Job 37:3 ============ Job 37:3 He directeth it under the whole heaven, and his lightning unto the ends of the earth.(KJV-1611) Job 37:3 Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.(Creole-HT) ======= Job 37:4 ============ Job 37:4 After it a voice roareth: he thundereth with the voice of his excellency; and he will not stay them when his voice is heard.(KJV-1611) Job 37:4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.(Creole-HT) ======= Job 37:5 ============ Job 37:5 God thundereth marvellously with his voice; great things doeth he, which we cannot comprehend.(KJV-1611) Job 37:5 Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.(Creole-HT) ======= Job 37:6 ============ Job 37:6 For he saith to the snow, Be thou on the earth; likewise to the small rain, and to the great rain of his strength.(KJV-1611) Job 37:6 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.(Creole-HT) ======= Job 37:7 ============ Job 37:7 He sealeth up the hand of every man; that all men may know his work.(KJV-1611) Job 37:7 Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.(Creole-HT) ======= Job 37:8 ============ Job 37:8 Then the beasts go into dens, and remain in their places.(KJV-1611) Job 37:8 Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.(Creole-HT) ======= Job 37:9 ============ Job 37:9 Out of the south cometh the whirlwind: and cold out of the north.(KJV-1611) Job 37:9 Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.(Creole-HT) ======= Job 37:10 ============ Job 37:10 By the breath of God frost is given: and the breadth of the waters is straitened.(KJV-1611) Job 37:10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.(Creole-HT) ======= Job 37:11 ============ Job 37:11 Also by watering he wearieth the thick cloud: he scattereth his bright cloud:(KJV-1611) Job 37:11 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.(Creole-HT) ======= Job 37:12 ============ Job 37:12 And it is turned round about by his counsels: that they may do whatsoever he commandeth them upon the face of the world in the earth.(KJV-1611) Job 37:12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Job 37:13 ============ Job 37:13 He causeth it to come, whether for correction, or for his land, or for mercy.(KJV-1611) Job 37:13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.(Creole-HT) ======= Job 37:14 ============ Job 37:14 Hearken unto this, O Job: stand still, and consider the wondrous works of God.(KJV-1611) Job 37:14 Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.(Creole-HT) ======= Job 37:15 ============ Job 37:15 Dost thou know when God disposed them, and caused the light of his cloud to shine?(KJV-1611) Job 37:15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?(Creole-HT) ======= Job 37:16 ============ Job 37:16 Dost thou know the balancings of the clouds, the wondrous works of him which is perfect in knowledge?(KJV-1611) Job 37:16 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.(Creole-HT) ======= Job 37:17 ============ Job 37:17 How thy garments are warm, when he quieteth the earth by the south wind?(KJV-1611) Job 37:17 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.(Creole-HT) ======= Job 37:18 ============ Job 37:18 Hast thou with him spread out the sky, which is strong, and as a molten looking glass?(KJV-1611) Job 37:18 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?(Creole-HT) ======= Job 37:19 ============ Job 37:19 Teach us what we shall say unto him; for we cannot order our speech by reason of darkness.(KJV-1611) Job 37:19 Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.(Creole-HT) ======= Job 37:20 ============ Job 37:20 Shall it be told him that I speak? if a man speak, surely he shall be swallowed up.(KJV-1611) Job 37:20 Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?(Creole-HT) ======= Job 37:21 ============ Job 37:21 And now men see not the bright light which is in the clouds: but the wind passeth, and cleanseth them.(KJV-1611) Job 37:21 Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.(Creole-HT) ======= Job 37:22 ============ Job 37:22 Fair weather cometh out of the north: with God is terrible majesty.(KJV-1611) Job 37:22 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.(Creole-HT) ======= Job 37:23 ============ Job 37:23 Touching the Almighty, we cannot find him out: he is excellent in power, and in judgment, and in plenty of justice: he will not afflict.(KJV-1611) Job 37:23 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.(Creole-HT) ======= Job 37:24 ============ Job 37:24 Men do therefore fear him: he respecteth not any that are wise of heart.(KJV-1611) Job 37:24 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Job 38:1 ============ Job 38:1 Then the LORD answered Job out of the whirlwind, and said,(KJV-1611) Job 38:1 Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Job 38:2 ============ Job 38:2 Who is this that darkeneth counsel by words without knowledge?(KJV-1611) Job 38:2 -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?(Creole-HT) ======= Job 38:3 ============ Job 38:3 Gird up now thy loins like a man; for I will demand of thee, and answer thou me.(KJV-1611) Job 38:3 Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.(Creole-HT) ======= Job 38:4 ============ Job 38:4 Where wast thou when I laid the foundations of the earth? declare, if thou hast understanding.(KJV-1611) Job 38:4 Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!(Creole-HT) ======= Job 38:5 ============ Job 38:5 Who hath laid the measures thereof, if thou knowest? or who hath stretched the line upon it?(KJV-1611) Job 38:5 Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?(Creole-HT) ======= Job 38:6 ============ Job 38:6 Whereupon are the foundations thereof fastened? or who laid the corner stone thereof;(KJV-1611) Job 38:6 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?(Creole-HT) ======= Job 38:7 ============ Job 38:7 When the morning stars sang together, and all the sons of God shouted for joy?(KJV-1611) Job 38:7 Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.(Creole-HT) ======= Job 38:8 ============ Job 38:8 Or who shut up the sea with doors, when it brake forth, as if it had issued out of the womb?(KJV-1611) Job 38:8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?(Creole-HT) ======= Job 38:9 ============ Job 38:9 When I made the cloud the garment thereof, and thick darkness a swaddlingband for it,(KJV-1611) Job 38:9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,(Creole-HT) ======= Job 38:10 ============ Job 38:10 And brake up for it my decreed place, and set bars and doors,(KJV-1611) Job 38:10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.(Creole-HT) ======= Job 38:11 ============ Job 38:11 And said, Hitherto shalt thou come, but no further: and here shall thy proud waves be stayed?(KJV-1611) Job 38:11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.(Creole-HT) ======= Job 38:12 ============ Job 38:12 Hast thou commanded the morning since thy days; and caused the dayspring to know his place;(KJV-1611) Job 38:12 Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?(Creole-HT) ======= Job 38:13 ============ Job 38:13 That it might take hold of the ends of the earth, that the wicked might be shaken out of it?(KJV-1611) Job 38:13 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?(Creole-HT) ======= Job 38:14 ============ Job 38:14 It is turned as clay to the seal; and they stand as a garment.(KJV-1611) Job 38:14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.(Creole-HT) ======= Job 38:15 ============ Job 38:15 And from the wicked their light is withholden, and the high arm shall be broken.(KJV-1611) Job 38:15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.(Creole-HT) ======= Job 38:16 ============ Job 38:16 Hast thou entered into the springs of the sea? or hast thou walked in the search of the depth?(KJV-1611) Job 38:16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?(Creole-HT) ======= Job 38:17 ============ Job 38:17 Have the gates of death been opened unto thee? or hast thou seen the doors of the shadow of death?(KJV-1611) Job 38:17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?(Creole-HT) ======= Job 38:18 ============ Job 38:18 Hast thou perceived the breadth of the earth? declare if thou knowest it all.(KJV-1611) Job 38:18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!(Creole-HT) ======= Job 38:19 ============ Job 38:19 Where is the way where light dwelleth? and as for darkness, where is the place thereof,(KJV-1611) Job 38:19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,(Creole-HT) ======= Job 38:20 ============ Job 38:20 That thou shouldest take it to the bound thereof, and that thou shouldest know the paths to the house thereof?(KJV-1611) Job 38:20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?(Creole-HT) ======= Job 38:21 ============ Job 38:21 Knowest thou it, because thou wast then born? or because the number of thy days is great?(KJV-1611) Job 38:21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!(Creole-HT) ======= Job 38:22 ============ Job 38:22 Hast thou entered into the treasures of the snow? or hast thou seen the treasures of the hail,(KJV-1611) Job 38:22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?(Creole-HT) ======= Job 38:23 ============ Job 38:23 Which I have reserved against the time of trouble, against the day of battle and war?(KJV-1611) Job 38:23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?(Creole-HT) ======= Job 38:24 ============ Job 38:24 By what way is the light parted, which scattereth the east wind upon the earth?(KJV-1611) Job 38:24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?(Creole-HT) ======= Job 38:25 ============ Job 38:25 Who hath divided a watercourse for the overflowing of waters, or a way for the lightning of thunder;(KJV-1611) Job 38:25 Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,(Creole-HT) ======= Job 38:26 ============ Job 38:26 To cause it to rain on the earth, where no man is; on the wilderness, wherein there is no man;(KJV-1611) Job 38:26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,(Creole-HT) ======= Job 38:27 ============ Job 38:27 To satisfy the desolate and waste ground; and to cause the bud of the tender herb to spring forth?(KJV-1611) Job 38:27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?(Creole-HT) ======= Job 38:28 ============ Job 38:28 Hath the rain a father? or who hath begotten the drops of dew?(KJV-1611) Job 38:28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?(Creole-HT) ======= Job 38:29 ============ Job 38:29 Out of whose womb came the ice? and the hoary frost of heaven, who hath gendered it?(KJV-1611) Job 38:29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?(Creole-HT) ======= Job 38:30 ============ Job 38:30 The waters are hid as with a stone, and the face of the deep is frozen.(KJV-1611) Job 38:30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?(Creole-HT) ======= Job 38:31 ============ Job 38:31 Canst thou bind the sweet influences of Pleiades, or loose the bands of Orion?(KJV-1611) Job 38:31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?(Creole-HT) ======= Job 38:32 ============ Job 38:32 Canst thou bring forth Mazzaroth in his season? or canst thou guide Arcturus with his sons?(KJV-1611) Job 38:32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?(Creole-HT) ======= Job 38:33 ============ Job 38:33 Knowest thou the ordinances of heaven? canst thou set the dominion thereof in the earth?(KJV-1611) Job 38:33 Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?(Creole-HT) ======= Job 38:34 ============ Job 38:34 Canst thou lift up thy voice to the clouds, that abundance of waters may cover thee?(KJV-1611) Job 38:34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?(Creole-HT) ======= Job 38:35 ============ Job 38:35 Canst thou send lightnings, that they may go and say unto thee, Here we are?(KJV-1611) Job 38:35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?(Creole-HT) ======= Job 38:36 ============ Job 38:36 Who hath put wisdom in the inward parts? or who hath given understanding to the heart?(KJV-1611) Job 38:36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?(Creole-HT) ======= Job 38:37 ============ Job 38:37 Who can number the clouds in wisdom? or who can stay the bottles of heaven,(KJV-1611) Job 38:37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,(Creole-HT) ======= Job 38:38 ============ Job 38:38 When the dust groweth into hardness, and the clods cleave fast together?(KJV-1611) Job 38:38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?(Creole-HT) ======= Job 38:39 ============ Job 38:39 Wilt thou hunt the prey for the lion? or fill the appetite of the young lions,(KJV-1611) Job 38:39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,(Creole-HT) ======= Job 38:40 ============ Job 38:40 When they couch in their dens, and abide in the covert to lie in wait?(KJV-1611) Job 38:40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?(Creole-HT) ======= Job 38:41 ============ Job 38:41 Who provideth for the raven his food? when his young ones cry unto God, they wander for lack of meat.(KJV-1611) Job 38:41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?(Creole-HT) ======= Job 39:1 ============ Job 39:1 Knowest thou the time when the wild goats of the rock bring forth? or canst thou mark when the hinds do calve?(KJV-1611) Job 39:1 Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?(Creole-HT) ======= Job 39:2 ============ Job 39:2 Canst thou number the months that they fulfil? or knowest thou the time when they bring forth?(KJV-1611) Job 39:2 Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?(Creole-HT) ======= Job 39:3 ============ Job 39:3 They bow themselves, they bring forth their young ones, they cast out their sorrows.(KJV-1611) Job 39:3 Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?(Creole-HT) ======= Job 39:4 ============ Job 39:4 Their young ones are in good liking, they grow up with corn; they go forth, and return not unto them.(KJV-1611) Job 39:4 Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.(Creole-HT) ======= Job 39:5 ============ Job 39:5 Who hath sent out the wild ass free? or who hath loosed the bands of the wild ass?(KJV-1611) Job 39:5 Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?(Creole-HT) ======= Job 39:6 ============ Job 39:6 Whose house I have made the wilderness, and the barren land his dwellings.(KJV-1611) Job 39:6 Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.(Creole-HT) ======= Job 39:7 ============ Job 39:7 He scorneth the multitude of the city, neither regardeth he the crying of the driver.(KJV-1611) Job 39:7 Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.(Creole-HT) ======= Job 39:8 ============ Job 39:8 The range of the mountains is his pasture, and he searcheth after every green thing.(KJV-1611) Job 39:8 Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.(Creole-HT) ======= Job 39:9 ============ Job 39:9 Will the unicorn be willing to serve thee, or abide by thy crib?(KJV-1611) Job 39:9 Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?(Creole-HT) ======= Job 39:10 ============ Job 39:10 Canst thou bind the unicorn with his band in the furrow? or will he harrow the valleys after thee?(KJV-1611) Job 39:10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?(Creole-HT) ======= Job 39:11 ============ Job 39:11 Wilt thou trust him, because his strength is great? or wilt thou leave thy labour to him?(KJV-1611) Job 39:11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?(Creole-HT) ======= Job 39:12 ============ Job 39:12 Wilt thou believe him, that he will bring home thy seed, and gather it into thy barn?(KJV-1611) Job 39:12 Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?(Creole-HT) ======= Job 39:13 ============ Job 39:13 Gavest thou the goodly wings unto the peacocks? or wings and feathers unto the ostrich?(KJV-1611) Job 39:13 Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.(Creole-HT) ======= Job 39:14 ============ Job 39:14 Which leaveth her eggs in the earth, and warmeth them in dust,(KJV-1611) Job 39:14 Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.(Creole-HT) ======= Job 39:15 ============ Job 39:15 And forgetteth that the foot may crush them, or that the wild beast may break them.(KJV-1611) Job 39:15 Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.(Creole-HT) ======= Job 39:16 ============ Job 39:16 She is hardened against her young ones, as though they were not her's: her labour is in vain without fear;(KJV-1611) Job 39:16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,(Creole-HT) ======= Job 39:17 ============ Job 39:17 Because God hath deprived her of wisdom, neither hath he imparted to her understanding.(KJV-1611) Job 39:17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.(Creole-HT) ======= Job 39:18 ============ Job 39:18 What time she lifteth up herself on high, she scorneth the horse and his rider.(KJV-1611) Job 39:18 Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.(Creole-HT) ======= Job 39:19 ============ Job 39:19 Hast thou given the horse strength? hast thou clothed his neck with thunder?(KJV-1611) Job 39:19 Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?(Creole-HT) ======= Job 39:20 ============ Job 39:20 Canst thou make him afraid as a grasshopper? the glory of his nostrils is terrible.(KJV-1611) Job 39:20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?(Creole-HT) ======= Job 39:21 ============ Job 39:21 He paweth in the valley, and rejoiceth in his strength: he goeth on to meet the armed men.(KJV-1611) Job 39:21 Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.(Creole-HT) ======= Job 39:22 ============ Job 39:22 He mocketh at fear, and is not affrighted; neither turneth he back from the sword.(KJV-1611) Job 39:22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.(Creole-HT) ======= Job 39:23 ============ Job 39:23 The quiver rattleth against him, the glittering spear and the shield.(KJV-1611) Job 39:23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.(Creole-HT) ======= Job 39:24 ============ Job 39:24 He swalloweth the ground with fierceness and rage: neither believeth he that it is the sound of the trumpet.(KJV-1611) Job 39:24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.(Creole-HT) ======= Job 39:25 ============ Job 39:25 He saith among the trumpets, Ha, ha; and he smelleth the battle afar off, the thunder of the captains, and the shouting.(KJV-1611) Job 39:25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.(Creole-HT) ======= Job 39:26 ============ Job 39:26 Doth the hawk fly by thy wisdom, and stretch her wings toward the south?(KJV-1611) Job 39:26 Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?(Creole-HT) ======= Job 39:27 ============ Job 39:27 Doth the eagle mount up at thy command, and make her nest on high?(KJV-1611) Job 39:27 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?(Creole-HT) ======= Job 39:28 ============ Job 39:28 She dwelleth and abideth on the rock, upon the crag of the rock, and the strong place.(KJV-1611) Job 39:28 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'.(Creole-HT) ======= Job 39:29 ============ Job 39:29 From thence she seeketh the prey, and her eyes behold afar off.(KJV-1611) Job 39:29 Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.(Creole-HT) ======= Job 39:30 ============ Job 39:30 Her young ones also suck up blood: and where the slain are, there is she.(KJV-1611) Job 39:30 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.(Creole-HT) ======= Job 40:1 ============ Job 40:1 Moreover the LORD answered Job, and said,(KJV-1611) Job 40:1 Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Job 40:2 ============ Job 40:2 Shall he that contendeth with the Almighty instruct him? he that reproveth God, let him answer it.(KJV-1611) Job 40:2 -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?(Creole-HT) ======= Job 40:3 ============ Job 40:3 Then Job answered the LORD, and said,(KJV-1611) Job 40:3 Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Job 40:4 ============ Job 40:4 Behold, I am vile; what shall I answer thee? I will lay mine hand upon my mouth.(KJV-1611) Job 40:4 -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.(Creole-HT) ======= Job 40:5 ============ Job 40:5 Once have I spoken; but I will not answer: yea, twice; but I will proceed no further.(KJV-1611) Job 40:5 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.(Creole-HT) ======= Job 40:6 ============ Job 40:6 Then answered the LORD unto Job out of the whirlwind, and said,(KJV-1611) Job 40:6 Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l':(Creole-HT) ======= Job 40:7 ============ Job 40:7 Gird up thy loins now like a man: I will demand of thee, and declare thou unto me.(KJV-1611) Job 40:7 -Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen.(Creole-HT) ======= Job 40:8 ============ Job 40:8 Wilt thou also disannul my judgment? wilt thou condemn me, that thou mayest be righteous?(KJV-1611) Job 40:8 Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?(Creole-HT) ======= Job 40:9 ============ Job 40:9 Hast thou an arm like God? or canst thou thunder with a voice like him?(KJV-1611) Job 40:9 Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?(Creole-HT) ======= Job 40:10 ============ Job 40:10 Deck thyself now with majesty and excellency; and array thyself with glory and beauty.(KJV-1611) Job 40:10 Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!(Creole-HT) ======= Job 40:11 ============ Job 40:11 Cast abroad the rage of thy wrath: and behold every one that is proud, and abase him.(KJV-1611) Job 40:11 Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!(Creole-HT) ======= Job 40:12 ============ Job 40:12 Look on every one that is proud, and bring him low; and tread down the wicked in their place.(KJV-1611) Job 40:12 Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!(Creole-HT) ======= Job 40:13 ============ Job 40:13 Hide them in the dust together; and bind their faces in secret.(KJV-1611) Job 40:13 Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Job 40:14 ============ Job 40:14 Then will I also confess unto thee that thine own right hand can save thee.(KJV-1611) Job 40:14 Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.(Creole-HT) ======= Job 40:15 ============ Job 40:15 Behold now behemoth, which I made with thee; he eateth grass as an ox.(KJV-1611) Job 40:15 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.(Creole-HT) ======= Job 40:16 ============ Job 40:16 Lo now, his strength is in his loins, and his force is in the navel of his belly.(KJV-1611) Job 40:16 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li.(Creole-HT) ======= Job 40:17 ============ Job 40:17 He moveth his tail like a cedar: the sinews of his stones are wrapped together.(KJV-1611) Job 40:17 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.(Creole-HT) ======= Job 40:18 ============ Job 40:18 His bones are as strong pieces of brass; his bones are like bars of iron.(KJV-1611) Job 40:18 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.(Creole-HT) ======= Job 40:19 ============ Job 40:19 He is the chief of the ways of God: he that made him can make his sword to approach unto him.(KJV-1611) Job 40:19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba.(Creole-HT) ======= Job 40:20 ============ Job 40:20 Surely the mountains bring him forth food, where all the beasts of the field play.(KJV-1611) Job 40:20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.(Creole-HT) ======= Job 40:21 ============ Job 40:21 He lieth under the shady trees, in the covert of the reed, and fens.(KJV-1611) Job 40:21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.(Creole-HT) ======= Job 40:22 ============ Job 40:22 The shady trees cover him with their shadow; the willows of the brook compass him about.(KJV-1611) Job 40:22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.(Creole-HT) ======= Job 40:23 ============ Job 40:23 Behold, he drinketh up a river, and hasteth not: he trusteth that he can draw up Jordan into his mouth.(KJV-1611) Job 40:23 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.(Creole-HT) ======= Job 40:24 ============ Job 40:24 He taketh it with his eyes: his nose pierceth through snares.(KJV-1611) Job 40:24 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.(Creole-HT) ======= Job 41:1 ============ Job 41:1 Canst thou draw out leviathan with an hook? or his tongue with a cord which thou lettest down?(KJV-1611) Job 41:1 Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?(Creole-HT) ======= Job 41:2 ============ Job 41:2 Canst thou put an hook into his nose? or bore his jaw through with a thorn?(KJV-1611) Job 41:2 Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?(Creole-HT) ======= Job 41:3 ============ Job 41:3 Will he make many supplications unto thee? will he speak soft words unto thee?(KJV-1611) Job 41:3 Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou?(Creole-HT) ======= Job 41:4 ============ Job 41:4 Will he make a covenant with thee? wilt thou take him for a servant for ever?(KJV-1611) Job 41:4 Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan?(Creole-HT) ======= Job 41:5 ============ Job 41:5 Wilt thou play with him as with a bird? or wilt thou bind him for thy maidens?(KJV-1611) Job 41:5 Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'?(Creole-HT) ======= Job 41:6 ============ Job 41:6 Shall the companions make a banquet of him? shall they part him among the merchants?(KJV-1611) Job 41:6 Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?(Creole-HT) ======= Job 41:7 ============ Job 41:7 Canst thou fill his skin with barbed irons? or his head with fish spears?(KJV-1611) Job 41:7 Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?(Creole-HT) ======= Job 41:8 ============ Job 41:8 Lay thine hand upon him, remember the battle, do no more.(KJV-1611) Job 41:8 Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!(Creole-HT) ======= Job 41:9 ============ Job 41:9 Behold, the hope of him is in vain: shall not one be cast down even at the sight of him?(KJV-1611) Job 41:9 Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè.(Creole-HT) ======= Job 41:10 ============ Job 41:10 None is so fierce that dare stir him up: who then is able to stand before me?(KJV-1611) Job 41:10 Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.(Creole-HT) ======= Job 41:11 ============ Job 41:11 Who hath prevented me, that I should repay him? whatsoever is under the whole heaven is mine.(KJV-1611) Job 41:11 Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.(Creole-HT) ======= Job 41:12 ============ Job 41:12 I will not conceal his parts, nor his power, nor his comely proportion.(KJV-1611) Job 41:12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'.(Creole-HT) ======= Job 41:13 ============ Job 41:13 Who can discover the face of his garment? or who can come to him with his double bridle?(KJV-1611) Job 41:13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.(Creole-HT) ======= Job 41:14 ============ Job 41:14 Who can open the doors of his face? his teeth are terrible round about.(KJV-1611) Job 41:14 Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.(Creole-HT) ======= Job 41:15 ============ Job 41:15 His scales are his pride, shut up together as with a close seal.(KJV-1611) Job 41:15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.(Creole-HT) ======= Job 41:16 ============ Job 41:16 One is so near to another, that no air can come between them.(KJV-1611) Job 41:16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.(Creole-HT) ======= Job 41:17 ============ Job 41:17 They are joined one to another, they stick together, that they cannot be sundered.(KJV-1611) Job 41:17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.(Creole-HT) ======= Job 41:18 ============ Job 41:18 By his neesings a light doth shine, and his eyes are like the eyelids of the morning.(KJV-1611) Job 41:18 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve.(Creole-HT) ======= Job 41:19 ============ Job 41:19 Out of his mouth go burning lamps, and sparks of fire leap out.(KJV-1611) Job 41:19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'.(Creole-HT) ======= Job 41:20 ============ Job 41:20 Out of his nostrils goeth smoke, as out of a seething pot or caldron.(KJV-1611) Job 41:20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife.(Creole-HT) ======= Job 41:21 ============ Job 41:21 His breath kindleth coals, and a flame goeth out of his mouth.(KJV-1611) Job 41:21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Job 41:22 ============ Job 41:22 In his neck remaineth strength, and sorrow is turned into joy before him.(KJV-1611) Job 41:22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase.(Creole-HT) ======= Job 41:23 ============ Job 41:23 The flakes of his flesh are joined together: they are firm in themselves; they cannot be moved.(KJV-1611) Job 41:23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.(Creole-HT) ======= Job 41:24 ============ Job 41:24 His heart is as firm as a stone; yea, as hard as a piece of the nether millstone.(KJV-1611) Job 41:24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.(Creole-HT) ======= Job 41:25 ============ Job 41:25 When he raiseth up himself, the mighty are afraid: by reason of breakings they purify themselves.(KJV-1611) Job 41:25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Job 41:26 ============ Job 41:26 The sword of him that layeth at him cannot hold: the spear, the dart, nor the habergeon.(KJV-1611) Job 41:26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Job 41:27 ============ Job 41:27 He esteemeth iron as straw, and brass as rotten wood.(KJV-1611) Job 41:27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.(Creole-HT) ======= Job 41:28 ============ Job 41:28 The arrow cannot make him flee: slingstones are turned with him into stubble.(KJV-1611) Job 41:28 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.(Creole-HT) ======= Job 41:29 ============ Job 41:29 Darts are counted as stubble: he laugheth at the shaking of a spear.(KJV-1611) Job 41:29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.(Creole-HT) ======= Job 41:30 ============ Job 41:30 Sharp stones are under him: he spreadeth sharp pointed things upon the mire.(KJV-1611) Job 41:30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.(Creole-HT) ======= Job 41:31 ============ Job 41:31 He maketh the deep to boil like a pot: he maketh the sea like a pot of ointment.(KJV-1611) Job 41:31 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.(Creole-HT) ======= Job 41:32 ============ Job 41:32 He maketh a path to shine after him; one would think the deep to be hoary.(KJV-1611) Job 41:32 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.(Creole-HT) ======= Job 41:33 ============ Job 41:33 Upon earth there is not his like, who is made without fear.(KJV-1611) Job 41:33 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen.(Creole-HT) ======= Job 41:34 ============ Job 41:34 He beholdeth all high things: he is a king over all the children of pride.(KJV-1611) Job 41:34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.(Creole-HT) ======= Job 42:1 ============ Job 42:1 Then Job answered the LORD, and said,(KJV-1611) Job 42:1 Men sa Jòb reponn Seyè a:(Creole-HT) ======= Job 42:2 ============ Job 42:2 I know that thou canst do every thing, and that no thought can be withholden from thee.(KJV-1611) Job 42:2 -Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.(Creole-HT) ======= Job 42:3 ============ Job 42:3 Who is he that hideth counsel without knowledge? therefore have I uttered that I understood not; things too wonderful for me, which I knew not.(KJV-1611) Job 42:3 Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.(Creole-HT) ======= Job 42:4 ============ Job 42:4 Hear, I beseech thee, and I will speak: I will demand of thee, and declare thou unto me.(KJV-1611) Job 42:4 Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou.(Creole-HT) ======= Job 42:5 ============ Job 42:5 I have heard of thee by the hearing of the ear: but now mine eye seeth thee.(KJV-1611) Job 42:5 Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen.(Creole-HT) ======= Job 42:6 ============ Job 42:6 Wherefore I abhor myself, and repent in dust and ashes.(KJV-1611) Job 42:6 Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.(Creole-HT) ======= Job 42:7 ============ Job 42:7 And it was so, that after the LORD had spoken these words unto Job, the LORD said to Eliphaz the Temanite, My wrath is kindled against thee, and against thy two friends: for ye have not spoken of me the thing that is right, as my servant Job hath.(KJV-1611) Job 42:7 Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.(Creole-HT) ======= Job 42:8 ============ Job 42:8 Therefore take unto you now seven bullocks and seven rams, and go to my servant Job, and offer up for yourselves a burnt offering; and my servant Job shall pray for you: for him will I accept: lest I deal with you after your folly, in that ye have not spoken of me the thing which is right, like my servant Job.(KJV-1611) Job 42:8 Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.(Creole-HT) ======= Job 42:9 ============ Job 42:9 So Eliphaz the Temanite and Bildad the Shuhite and Zophar the Naamathite went, and did according as the LORD commanded them: the LORD also accepted Job.(KJV-1611) Job 42:9 Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a.(Creole-HT) ======= Job 42:10 ============ Job 42:10 And the LORD turned the captivity of Job, when he prayed for his friends: also the LORD gave Job twice as much as he had before.(KJV-1611) Job 42:10 Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.(Creole-HT) ======= Job 42:11 ============ Job 42:11 Then came there unto him all his brethren, and all his sisters, and all they that had been of his acquaintance before, and did eat bread with him in his house: and they bemoaned him, and comforted him over all the evil that the LORD had brought upon him: every man also gave him a piece of money, and every one an earring of gold.(KJV-1611) Job 42:11 Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.(Creole-HT) ======= Job 42:12 ============ Job 42:12 So the LORD blessed the latter end of Job more than his beginning: for he had fourteen thousand sheep, and six thousand camels, and a thousand yoke of oxen, and a thousand she asses.(KJV-1611) Job 42:12 Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil manman bourik.(Creole-HT) ======= Job 42:13 ============ Job 42:13 He had also seven sons and three daughters.(KJV-1611) Job 42:13 Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi.(Creole-HT) ======= Job 42:14 ============ Job 42:14 And he called the name of the first, Jemima; and the name of the second, Kezia; and the name of the third, Kerenhappuch.(KJV-1611) Job 42:14 Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk.(Creole-HT) ======= Job 42:15 ============ Job 42:15 And in all the land were no women found so fair as the daughters of Job: and their father gave them inheritance among their brethren.(KJV-1611) Job 42:15 Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo.(Creole-HT) ======= Job 42:16 ============ Job 42:16 After this lived Job an hundred and forty years, and saw his sons, and his sons' sons, even four generations.(KJV-1611) Job 42:16 Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon.(Creole-HT) ======= Job 42:17 ============ Job 42:17 So Job died, being old and full of days.(KJV-1611) Job 42:17 Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.(Creole-HT) ======= Psalm 1:1 ============ Psa 1:1 Blessed is the man that walketh not in the counsel of the ungodly, nor standeth in the way of sinners, nor sitteth in the seat of the scornful.(KJV-1611) Psa 1:1 Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,(Creole-HT) ======= Psalm 1:2 ============ Psa 1:2 But his delight is in the law of the LORD; and in his law doth he meditate day and night.(KJV-1611) Psa 1:2 men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.(Creole-HT) ======= Psalm 1:3 ============ Psa 1:3 And he shall be like a tree planted by the rivers of water, that bringeth forth his fruit in his season; his leaf also shall not wither; and whatsoever he doeth shall prosper.(KJV-1611) Psa 1:3 Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.(Creole-HT) ======= Psalm 1:4 ============ Psa 1:4 The ungodly are not so: but are like the chaff which the wind driveth away.(KJV-1611) Psa 1:4 Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.(Creole-HT) ======= Psalm 1:5 ============ Psa 1:5 Therefore the ungodly shall not stand in the judgment, nor sinners in the congregation of the righteous.(KJV-1611) Psa 1:5 Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 1:6 ============ Psa 1:6 For the LORD knoweth the way of the righteous: but the way of the ungodly shall perish.(KJV-1611) Psa 1:6 Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.(Creole-HT) ======= Psalm 2:1 ============ Psa 2:1 Why do the heathen rage, and the people imagine a vain thing?(KJV-1611) Psa 2:1 Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?(Creole-HT) ======= Psalm 2:2 ============ Psa 2:2 The kings of the earth set themselves, and the rulers take counsel together, against the LORD, and against his anointed, saying,(KJV-1611) Psa 2:2 Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.(Creole-HT) ======= Psalm 2:3 ============ Psa 2:3 Let us break their bands asunder, and cast away their cords from us.(KJV-1611) Psa 2:3 Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete!(Creole-HT) ======= Psalm 2:4 ============ Psa 2:4 He that sitteth in the heavens shall laugh: the LORD shall have them in derision.(KJV-1611) Psa 2:4 Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.(Creole-HT) ======= Psalm 2:5 ============ Psa 2:5 Then shall he speak unto them in his wrath, and vex them in his sore displeasure.(KJV-1611) Psa 2:5 Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase.(Creole-HT) ======= Psalm 2:6 ============ Psa 2:6 Yet have I set my king upon my holy hill of Zion.(KJV-1611) Psa 2:6 Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 2:7 ============ Psa 2:7 I will declare the decree: the LORD hath said unto me, Thou art my Son; this day have I begotten thee.(KJV-1611) Psa 2:7 Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 2:8 ============ Psa 2:8 Ask of me, and I shall give thee the heathen for thine inheritance, and the uttermost parts of the earth for thy possession.(KJV-1611) Psa 2:8 Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.(Creole-HT) ======= Psalm 2:9 ============ Psa 2:9 Thou shalt break them with a rod of iron; thou shalt dash them in pieces like a potter's vessel.(KJV-1611) Psa 2:9 W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.(Creole-HT) ======= Psalm 2:10 ============ Psa 2:10 Be wise now therefore, O ye kings: be instructed, ye judges of the earth.(KJV-1611) Psa 2:10 Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.(Creole-HT) ======= Psalm 2:11 ============ Psa 2:11 Serve the LORD with fear, and rejoice with trembling.(KJV-1611) Psa 2:11 Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,(Creole-HT) ======= Psalm 2:12 ============ Psa 2:12 Kiss the Son, lest he be angry, and ye perish from the way, when his wrath is kindled but a little. Blessed are all they that put their trust in him.(KJV-1611) Psa 2:12 bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!(Creole-HT) ======= Psalm 3:1 ============ Psa 3:1 Lord, how are they increased that trouble me! many are they that rise up against me.(KJV-1611) Psa 3:1 Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!(Creole-HT) ======= Psalm 3:2 ============ Psa 3:2 Many there be which say of my soul, There is no help for him in God. Selah.(KJV-1611) Psa 3:2 Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!(Creole-HT) ======= Psalm 3:3 ============ Psa 3:3 But thou, O LORD, art a shield for me; my glory, and the lifter up of mine head.(KJV-1611) Psa 3:3 Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 3:4 ============ Psa 3:4 I cried unto the LORD with my voice, and he heard me out of his holy hill. Selah.(KJV-1611) Psa 3:4 Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 3:5 ============ Psa 3:5 I laid me down and slept; I awaked; for the LORD sustained me.(KJV-1611) Psa 3:5 Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 3:6 ============ Psa 3:6 I will not be afraid of ten thousands of people, that have set themselves against me round about.(KJV-1611) Psa 3:6 Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 3:7 ============ Psa 3:7 Arise, O LORD; save me, O my God: for thou hast smitten all mine enemies upon the cheek bone; thou hast broken the teeth of the ungodly.(KJV-1611) Psa 3:7 Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 3:8 ============ Psa 3:8 Salvation belongeth unto the LORD: thy blessing is upon thy people. Selah.(KJV-1611) Psa 3:8 Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 4:1 ============ Psa 4:1 Hear me when I call, O God of my righteousness: thou hast enlarged me when I was in distress; have mercy upon me, and hear my prayer.(KJV-1611) Psa 4:1 Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 4:2 ============ Psa 4:2 O ye sons of men, how long will ye turn my glory into shame? how long will ye love vanity, and seek after leasing? Selah.(KJV-1611) Psa 4:2 Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!(Creole-HT) ======= Psalm 4:3 ============ Psa 4:3 But know that the LORD hath set apart him that is godly for himself: the LORD will hear when I call unto him.(KJV-1611) Psa 4:3 Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'.(Creole-HT) ======= Psalm 4:4 ============ Psa 4:4 Stand in awe, and sin not: commune with your own heart upon your bed, and be still. Selah.(KJV-1611) Psa 4:4 Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.(Creole-HT) ======= Psalm 4:5 ============ Psa 4:5 Offer the sacrifices of righteousness, and put your trust in the LORD.(KJV-1611) Psa 4:5 Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!(Creole-HT) ======= Psalm 4:6 ============ Psa 4:6 There be many that say, Who will shew us any good? LORD, lift thou up the light of thy countenance upon us.(KJV-1611) Psa 4:6 Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!(Creole-HT) ======= Psalm 4:7 ============ Psa 4:7 Thou hast put gladness in my heart, more than in the time that their corn and their wine increased.(KJV-1611) Psa 4:7 Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.(Creole-HT) ======= Psalm 4:8 ============ Psa 4:8 I will both lay me down in peace, and sleep: for thou, LORD, only makest me dwell in safety.(KJV-1611) Psa 4:8 Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 5:1 ============ Psa 5:1 Give ear to my words, O LORD, consider my meditation.(KJV-1611) Psa 5:1 Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!(Creole-HT) ======= Psalm 5:2 ============ Psa 5:2 Hearken unto the voice of my cry, my King, and my God: for unto thee will I pray.(KJV-1611) Psa 5:2 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.(Creole-HT) ======= Psalm 5:3 ============ Psa 5:3 My voice shalt thou hear in the morning, O LORD; in the morning will I direct my prayer unto thee, and will look up.(KJV-1611) Psa 5:3 Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 5:4 ============ Psa 5:4 For thou art not a God that hath pleasure in wickedness: neither shall evil dwell with thee.(KJV-1611) Psa 5:4 Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.(Creole-HT) ======= Psalm 5:5 ============ Psa 5:5 The foolish shall not stand in thy sight: thou hatest all workers of iniquity.(KJV-1611) Psa 5:5 Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste.(Creole-HT) ======= Psalm 5:6 ============ Psa 5:6 Thou shalt destroy them that speak leasing: the LORD will abhor the bloody and deceitful man.(KJV-1611) Psa 5:6 Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.(Creole-HT) ======= Psalm 5:7 ============ Psa 5:7 But as for me, I will come into thy house in the multitude of thy mercy: and in thy fear will I worship toward thy holy temple.(KJV-1611) Psa 5:7 Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.(Creole-HT) ======= Psalm 5:8 ============ Psa 5:8 Lead me, O LORD, in thy righteousness because of mine enemies; make thy way straight before my face.(KJV-1611) Psa 5:8 Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè.(Creole-HT) ======= Psalm 5:9 ============ Psa 5:9 For there is no faithfulness in their mouth; their inward part is very wickedness; their throat is an open sepulchre; they flatter with their tongue.(KJV-1611) Psa 5:9 Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.(Creole-HT) ======= Psalm 5:10 ============ Psa 5:10 Destroy thou them, O God; let them fall by their own counsels; cast them out in the multitude of their transgressions; for they have rebelled against thee.(KJV-1611) Psa 5:10 Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.(Creole-HT) ======= Psalm 5:11 ============ Psa 5:11 But let all those that put their trust in thee rejoice: let them ever shout for joy, because thou defendest them: let them also that love thy name be joyful in thee.(KJV-1611) Psa 5:11 Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 5:12 ============ Psa 5:12 For thou, LORD, wilt bless the righteous; with favour wilt thou compass him as with a shield.(KJV-1611) Psa 5:12 Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.(Creole-HT) ======= Psalm 6:1 ============ Psa 6:1 O LORD, rebuke me not in thine anger, neither chasten me in thy hot displeasure.(KJV-1611) Psa 6:1 Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!(Creole-HT) ======= Psalm 6:2 ============ Psa 6:2 Have mercy upon me, O LORD; for I am weak: O LORD, heal me; for my bones are vexed.(KJV-1611) Psa 6:2 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.(Creole-HT) ======= Psalm 6:3 ============ Psa 6:3 My soul is also sore vexed: but thou, O LORD, how long?(KJV-1611) Psa 6:3 Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 6:4 ============ Psa 6:4 Return, O LORD, deliver my soul: oh save me for thy mercies' sake.(KJV-1611) Psa 6:4 Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 6:5 ============ Psa 6:5 For in death there is no remembrance of thee: in the grave who shall give thee thanks?(KJV-1611) Psa 6:5 Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 6:6 ============ Psa 6:6 I am weary with my groaning; all the night make I my bed to swim; I water my couch with my tears.(KJV-1611) Psa 6:6 Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.(Creole-HT) ======= Psalm 6:7 ============ Psa 6:7 Mine eye is consumed because of grief; it waxeth old because of all mine enemies.(KJV-1611) Psa 6:7 Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 6:8 ============ Psa 6:8 Depart from me, all ye workers of iniquity; for the LORD hath heard the voice of my weeping.(KJV-1611) Psa 6:8 Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal, paske Seyè a tande lè m'ap kriye.(Creole-HT) ======= Psalm 6:9 ============ Psa 6:9 The LORD hath heard my supplication; the LORD will receive my prayer.(KJV-1611) Psa 6:9 Li tande m' lè m'ap rele nan pye li. Li reponn mwen lè m'ap lapriyè li.(Creole-HT) ======= Psalm 6:10 ============ Psa 6:10 Let all mine enemies be ashamed and sore vexed: let them return and be ashamed suddenly.(KJV-1611) Psa 6:10 Tout lènmi m' yo pral wont, y'ap pè. Se vre wi. Y'ap kouri fè bak. Y'ap rete konsa lawont ap pran yo.(Creole-HT) ======= Psalm 7:1 ============ Psa 7:1 O LORD my God, in thee do I put my trust: save me from all them that persecute me, and deliver me:(KJV-1611) Psa 7:1 Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 7:2 ============ Psa 7:2 Lest he tear my soul like a lion, rending it in pieces, while there is none to deliver.(KJV-1611) Psa 7:2 Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 7:3 ============ Psa 7:3 O LORD my God, If I have done this; if there be iniquity in my hands;(KJV-1611) Psa 7:3 Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,(Creole-HT) ======= Psalm 7:4 ============ Psa 7:4 If I have rewarded evil unto him that was at peace with me; (yea, I have delivered him that without cause is mine enemy:)(KJV-1611) Psa 7:4 si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,(Creole-HT) ======= Psalm 7:5 ============ Psa 7:5 Let the enemy persecute my soul, and take it; yea, let him tread down my life upon the earth, and lay mine honour in the dust. Selah.(KJV-1611) Psa 7:5 ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.(Creole-HT) ======= Psalm 7:6 ============ Psa 7:6 Arise, O LORD, in thine anger, lift up thyself because of the rage of mine enemies: and awake for me to the judgment that thou hast commanded.(KJV-1611) Psa 7:6 Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache.(Creole-HT) ======= Psalm 7:7 ============ Psa 7:7 So shall the congregation of the people compass thee about: for their sakes therefore return thou on high.(KJV-1611) Psa 7:7 Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout.(Creole-HT) ======= Psalm 7:8 ============ Psa 7:8 The LORD shall judge the people: judge me, O LORD, according to my righteousness, and according to mine integrity that is in me.(KJV-1611) Psa 7:8 Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.(Creole-HT) ======= Psalm 7:9 ============ Psa 7:9 Oh let the wickedness of the wicked come to an end; but establish the just: for the righteous God trieth the hearts and reins.(KJV-1611) Psa 7:9 Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 7:10 ============ Psa 7:10 My defence is of God, which saveth the upright in heart.(KJV-1611) Psa 7:10 Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat.(Creole-HT) ======= Psalm 7:11 ============ Psa 7:11 God judgeth the righteous, and God is angry with the wicked every day.(KJV-1611) Psa 7:11 Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 7:12 ============ Psa 7:12 If he turn not, he will whet his sword; he hath bent his bow, and made it ready.(KJV-1611) Psa 7:12 Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.(Creole-HT) ======= Psalm 7:13 ============ Psa 7:13 He hath also prepared for him the instruments of death; he ordaineth his arrows against the persecutors.(KJV-1611) Psa 7:13 Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.(Creole-HT) ======= Psalm 7:14 ============ Psa 7:14 Behold, he travaileth with iniquity, and hath conceived mischief, and brought forth falsehood.(KJV-1611) Psa 7:14 Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 7:15 ============ Psa 7:15 He made a pit, and digged it, and is fallen into the ditch which he made.(KJV-1611) Psa 7:15 Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li.(Creole-HT) ======= Psalm 7:16 ============ Psa 7:16 His mischief shall return upon his own head, and his violent dealing shall come down upon his own pate.(KJV-1611) Psa 7:16 Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li!(Creole-HT) ======= Psalm 7:17 ============ Psa 7:17 I will praise the LORD according to his righteousness: and will sing praise to the name of the LORD most high.(KJV-1611) Psa 7:17 Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 8:1 ============ Psa 8:1 O LORD, our Lord, how excellent is thy name in all the earth! who hast set thy glory above the heavens.(KJV-1611) Psa 8:1 Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!(Creole-HT) ======= Psalm 8:2 ============ Psa 8:2 Out of the mouth of babes and sucklings hast thou ordained strength because of thine enemies, that thou mightest still the enemy and the avenger.(KJV-1611) Psa 8:2 Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 8:3 ============ Psa 8:3 When I consider thy heavens, the work of thy fingers, the moon and the stars, which thou hast ordained;(KJV-1611) Psa 8:3 Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li,(Creole-HT) ======= Psalm 8:4 ============ Psa 8:4 What is man, that thou art mindful of him? and the son of man, that thou visitest him?(KJV-1611) Psa 8:4 m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?(Creole-HT) ======= Psalm 8:5 ============ Psa 8:5 For thou hast made him a little lower than the angels, and hast crowned him with glory and honour.(KJV-1611) Psa 8:5 Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.(Creole-HT) ======= Psalm 8:6 ============ Psa 8:6 Thou madest him to have dominion over the works of thy hands; thou hast put all things under his feet:(KJV-1611) Psa 8:6 Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:(Creole-HT) ======= Psalm 8:7 ============ Psa 8:7 All sheep and oxen, yea, and the beasts of the field;(KJV-1611) Psa 8:7 Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,(Creole-HT) ======= Psalm 8:8 ============ Psa 8:8 The fowl of the air, and the fish of the sea, and whatsoever passeth through the paths of the seas.(KJV-1611) Psa 8:8 zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.(Creole-HT) ======= Psalm 8:9 ============ Psa 8:9 O LORD our Lord, how excellent is thy name in all the earth!(KJV-1611) Psa 8:9 Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 9:1 ============ Psa 9:1 I will praise thee, O LORD, with my whole heart; I will shew forth all thy marvellous works.(KJV-1611) Psa 9:1 M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 9:2 ============ Psa 9:2 I will be glad and rejoice in thee: I will sing praise to thy name, O thou most High.(KJV-1611) Psa 9:2 Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 9:3 ============ Psa 9:3 When mine enemies are turned back, they shall fall and perish at thy presence.(KJV-1611) Psa 9:3 Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 9:4 ============ Psa 9:4 For thou hast maintained my right and my cause; thou satest in the throne judging right.(KJV-1611) Psa 9:4 Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 9:5 ============ Psa 9:5 Thou hast rebuked the heathen, thou hast destroyed the wicked, thou hast put out their name for ever and ever.(KJV-1611) Psa 9:5 Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 9:6 ============ Psa 9:6 O thou enemy, destructions are come to a perpetual end: and thou hast destroyed cities; their memorial is perished with them.(KJV-1611) Psa 9:6 Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 9:7 ============ Psa 9:7 But the LORD shall endure for ever: he hath prepared his throne for judgment.(KJV-1611) Psa 9:7 Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.(Creole-HT) ======= Psalm 9:8 ============ Psa 9:8 And he shall judge the world in righteousness, he shall minister judgment to the people in uprightness.(KJV-1611) Psa 9:8 Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 9:9 ============ Psa 9:9 The LORD also will be a refuge for the oppressed, a refuge in times of trouble.(KJV-1611) Psa 9:9 Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.(Creole-HT) ======= Psalm 9:10 ============ Psa 9:10 And they that know thy name will put their trust in thee: for thou, LORD, hast not forsaken them that seek thee.(KJV-1611) Psa 9:10 Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.(Creole-HT) ======= Psalm 9:11 ============ Psa 9:11 Sing praises to the LORD, which dwelleth in Zion: declare among the people his doings.(KJV-1611) Psa 9:11 Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.(Creole-HT) ======= Psalm 9:12 ============ Psa 9:12 When he maketh inquisition for blood, he remembereth them: he forgetteth not the cry of the humble.(KJV-1611) Psa 9:12 Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.(Creole-HT) ======= Psalm 9:13 ============ Psa 9:13 Have mercy upon me, O LORD; consider my trouble which I suffer of them that hate me, thou that liftest me up from the gates of death:(KJV-1611) Psa 9:13 Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,(Creole-HT) ======= Psalm 9:14 ============ Psa 9:14 That I may shew forth all thy praise in the gates of the daughter of Zion: I will rejoice in thy salvation.(KJV-1611) Psa 9:14 pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 9:15 ============ Psa 9:15 The heathen are sunk down in the pit that they made: in the net which they hid is their own foot taken.(KJV-1611) Psa 9:15 Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.(Creole-HT) ======= Psalm 9:16 ============ Psa 9:16 The LORD is known by the judgment which he executeth: the wicked is snared in the work of his own hands. Higgaion. Selah.(KJV-1611) Psa 9:16 Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.(Creole-HT) ======= Psalm 9:17 ============ Psa 9:17 The wicked shall be turned into hell, and all the nations that forget God.(KJV-1611) Psa 9:17 Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.(Creole-HT) ======= Psalm 9:18 ============ Psa 9:18 For the needy shall not alway be forgotten: the expectation of the poor shall not perish for ever.(KJV-1611) Psa 9:18 Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 9:19 ============ Psa 9:19 Arise, O LORD; let not man prevail: let the heathen be judged in thy sight.(KJV-1611) Psa 9:19 Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 9:20 ============ Psa 9:20 Put them in fear, O LORD: that the nations may know themselves to be but men. Selah.(KJV-1611) Psa 9:20 Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 10:1 ============ Psa 10:1 Why standest thou afar off, O LORD? why hidest thou thyself in times of trouble?(KJV-1611) Psa 10:1 Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?(Creole-HT) ======= Psalm 10:2 ============ Psa 10:2 The wicked in his pride doth persecute the poor: let them be taken in the devices that they have imagined.(KJV-1611) Psa 10:2 Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.(Creole-HT) ======= Psalm 10:3 ============ Psa 10:3 For the wicked boasteth of his heart's desire, and blesseth the covetous, whom the LORD abhorreth.(KJV-1611) Psa 10:3 Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 10:4 ============ Psa 10:4 The wicked, through the pride of his countenance, will not seek after God: God is not in all his thoughts.(KJV-1611) Psa 10:4 Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.(Creole-HT) ======= Psalm 10:5 ============ Psa 10:5 His ways are always grievous; thy judgments are far above out of his sight: as for all his enemies, he puffeth at them.(KJV-1611) Psa 10:5 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 10:6 ============ Psa 10:6 He hath said in his heart, I shall not be moved: for I shall never be in adversity.(KJV-1611) Psa 10:6 L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.(Creole-HT) ======= Psalm 10:7 ============ Psa 10:7 His mouth is full of cursing and deceit and fraud: under his tongue is mischief and vanity.(KJV-1611) Psa 10:7 Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo.(Creole-HT) ======= Psalm 10:8 ============ Psa 10:8 He sitteth in the lurking places of the villages: in the secret places doth he murder the innocent: his eyes are privily set against the poor.(KJV-1611) Psa 10:8 Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans.(Creole-HT) ======= Psalm 10:9 ============ Psa 10:9 He lieth in wait secretly as a lion in his den: he lieth in wait to catch the poor: he doth catch the poor, when he draweth him into his net.(KJV-1611) Psa 10:9 Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.(Creole-HT) ======= Psalm 10:10 ============ Psa 10:10 He croucheth, and humbleth himself, that the poor may fall by his strong ones.(KJV-1611) Psa 10:10 Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'.(Creole-HT) ======= Psalm 10:11 ============ Psa 10:11 He hath said in his heart, God hath forgotten: he hideth his face; he will never see it.(KJV-1611) Psa 10:11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 10:12 ============ Psa 10:12 Arise, O LORD; O God, lift up thine hand: forget not the humble.(KJV-1611) Psa 10:12 Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!(Creole-HT) ======= Psalm 10:13 ============ Psa 10:13 Wherefore doth the wicked contemn God? he hath said in his heart, Thou wilt not require it.(KJV-1611) Psa 10:13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen?(Creole-HT) ======= Psalm 10:14 ============ Psa 10:14 Thou hast seen it; for thou beholdest mischief and spite, to requite it with thy hand: the poor committeth himself unto thee; thou art the helper of the fatherless.(KJV-1611) Psa 10:14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.(Creole-HT) ======= Psalm 10:15 ============ Psa 10:15 Break thou the arm of the wicked and the evil man: seek out his wickedness till thou find none.(KJV-1611) Psa 10:15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.(Creole-HT) ======= Psalm 10:16 ============ Psa 10:16 The LORD is King for ever and ever: the heathen are perished out of his land.(KJV-1611) Psa 10:16 Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.(Creole-HT) ======= Psalm 10:17 ============ Psa 10:17 LORD, thou hast heard the desire of the humble: thou wilt prepare their heart, thou wilt cause thine ear to hear:(KJV-1611) Psa 10:17 Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.(Creole-HT) ======= Psalm 10:18 ============ Psa 10:18 To judge the fatherless and the oppressed, that the man of the earth may no more oppress.(KJV-1611) Psa 10:18 W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 11:1 ============ Psa 11:1 In the LORD put I my trust: how say ye to my soul, Flee as a bird to your mountain?(KJV-1611) Psa 11:1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,(Creole-HT) ======= Psalm 11:2 ============ Psa 11:2 For, lo, the wicked bend their bow, they make ready their arrow upon the string, that they may privily shoot at the upright in heart.(KJV-1611) Psa 11:2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?(Creole-HT) ======= Psalm 11:3 ============ Psa 11:3 If the foundations be destroyed, what can the righteous do?(KJV-1611) Psa 11:3 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.(Creole-HT) ======= Psalm 11:4 ============ Psa 11:4 The LORD is in his holy temple, the LORD's throne is in heaven: his eyes behold, his eyelids try, the children of men.(KJV-1611) Psa 11:4 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 11:5 ============ Psa 11:5 The LORD trieth the righteous: but the wicked and him that loveth violence his soul hateth.(KJV-1611) Psa 11:5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.(Creole-HT) ======= Psalm 11:6 ============ Psa 11:6 Upon the wicked he shall rain snares, fire and brimstone, and an horrible tempest: this shall be the portion of their cup.(KJV-1611) Psa 11:6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.(Creole-HT) ======= Psalm 11:7 ============ Psa 11:7 For the righteous LORD loveth righteousness; his countenance doth behold the upright.(KJV-1611) Psa 11:7 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 12:1 ============ Psa 12:1 Help, LORD; for the godly man ceaseth; for the faithful fail from among the children of men.(KJV-1611) Psa 12:1 vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 12:2 ============ Psa 12:2 They speak vanity every one with his neighbour: with flattering lips and with a double heart do they speak.(KJV-1611) Psa 12:2 Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.(Creole-HT) ======= Psalm 12:3 ============ Psa 12:3 The LORD shall cut off all flattering lips, and the tongue that speaketh proud things:(KJV-1611) Psa 12:3 Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 12:4 ============ Psa 12:4 Who have said, With our tongue will we prevail; our lips are our own: who is lord over us?(KJV-1611) Psa 12:4 Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?(Creole-HT) ======= Psalm 12:5 ============ Psa 12:5 For the oppression of the poor, for the sighing of the needy, now will I arise, saith the LORD; I will set him in safety from him that puffeth at him.(KJV-1611) Psa 12:5 Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Psalm 12:6 ============ Psa 12:6 The words of the LORD are pure words: as silver tried in a furnace of earth, purified seven times.(KJV-1611) Psa 12:6 Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.(Creole-HT) ======= Psalm 12:7 ============ Psa 12:7 Thou shalt keep them, O LORD, thou shalt preserve them from this generation for ever.(KJV-1611) Psa 12:7 Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!(Creole-HT) ======= Psalm 12:8 ============ Psa 12:8 The wicked walk on every side, when the vilest men are exalted.(KJV-1611) Psa 12:8 Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 13:1 ============ Psa 13:1 How long wilt thou forget me, O LORD? for ever? how long wilt thou hide thy face from me?(KJV-1611) Psa 13:1 Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?(Creole-HT) ======= Psalm 13:2 ============ Psa 13:2 How long shall I take counsel in my soul, having sorrow in my heart daily? how long shall mine enemy be exalted over me?(KJV-1611) Psa 13:2 Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?(Creole-HT) ======= Psalm 13:3 ============ Psa 13:3 Consider and hear me, O LORD my God: lighten mine eyes, lest I sleep the sleep of death;(KJV-1611) Psa 13:3 Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 13:4 ============ Psa 13:4 Lest mine enemy say, I have prevailed against him; and those that trouble me rejoice when I am moved.(KJV-1611) Psa 13:4 Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!(Creole-HT) ======= Psalm 13:5 ============ Psa 13:5 But I have trusted in thy mercy; my heart shall rejoice in thy salvation.(KJV-1611) Psa 13:5 Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 13:6 ============ Psa 13:6 I will sing unto the LORD, because he hath dealt bountifully with me.(KJV-1611) Psa 13:6 M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 14:1 ============ Psa 14:1 The fool hath said in his heart, There is no God. They are corrupt, they have done abominable works, there is none that doeth good.(KJV-1611) Psa 14:1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Psalm 14:2 ============ Psa 14:2 The LORD looked down from heaven upon the children of men, to see if there were any that did understand, and seek God.(KJV-1611) Psa 14:2 Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.(Creole-HT) ======= Psalm 14:3 ============ Psa 14:3 They are all gone aside, they are all together become filthy: there is none that doeth good, no, not one.(KJV-1611) Psa 14:3 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 14:4 ============ Psa 14:4 Have all the workers of iniquity no knowledge? who eat up my people as they eat bread, and call not upon the LORD.(KJV-1611) Psa 14:4 Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 14:5 ============ Psa 14:5 There were they in great fear: for God is in the generation of the righteous.(KJV-1611) Psa 14:5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Psalm 14:6 ============ Psa 14:6 Ye have shamed the counsel of the poor, because the LORD is his refuge.(KJV-1611) Psa 14:6 Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.(Creole-HT) ======= Psalm 14:7 ============ Psa 14:7 Oh that the salvation of Israel were come out of Zion! when the LORD bringeth back the captivity of his people, Jacob shall rejoice, and Israel shall be glad.(KJV-1611) Psa 14:7 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 15:1 ============ Psa 15:1 Lord, who shall abide in thy tabernacle? who shall dwell in thy holy hill?(KJV-1611) Psa 15:1 Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?(Creole-HT) ======= Psalm 15:2 ============ Psa 15:2 He that walketh uprightly, and worketh righteousness, and speaketh the truth in his heart.(KJV-1611) Psa 15:2 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li,(Creole-HT) ======= Psalm 15:3 ============ Psa 15:3 He that backbiteth not with his tongue, nor doeth evil to his neighbour, nor taketh up a reproach against his neighbour.(KJV-1611) Psa 15:3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj.(Creole-HT) ======= Psalm 15:4 ============ Psa 15:4 In whose eyes a vile person is contemned; but he honoureth them that fear the LORD. He that sweareth to his own hurt, and changeth not.(KJV-1611) Psa 15:4 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.(Creole-HT) ======= Psalm 15:5 ============ Psa 15:5 He that putteth not out his money to usury, nor taketh reward against the innocent. He that doeth these things shall never be moved.(KJV-1611) Psa 15:5 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!(Creole-HT) ======= Psalm 16:1 ============ Psa 16:1 Preserve me, O God: for in thee do I put my trust.(KJV-1611) Psa 16:1 Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 16:2 ============ Psa 16:2 O my soul, thou hast said unto the LORD, Thou art my Lord: my goodness extendeth not to thee;(KJV-1611) Psa 16:2 Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!(Creole-HT) ======= Psalm 16:3 ============ Psa 16:3 But to the saints that are in the earth, and to the excellent, in whom is all my delight.(KJV-1611) Psa 16:3 Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 16:4 ============ Psa 16:4 Their sorrows shall be multiplied that hasten after another god: their drink offerings of blood will I not offer, nor take up their names into my lips.(KJV-1611) Psa 16:4 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 16:5 ============ Psa 16:5 The LORD is the portion of mine inheritance and of my cup: thou maintainest my lot.(KJV-1611) Psa 16:5 Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.(Creole-HT) ======= Psalm 16:6 ============ Psa 16:6 The lines are fallen unto me in pleasant places; yea, I have a goodly heritage.(KJV-1611) Psa 16:6 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!(Creole-HT) ======= Psalm 16:7 ============ Psa 16:7 I will bless the LORD, who hath given me counsel: my reins also instruct me in the night seasons.(KJV-1611) Psa 16:7 M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 16:8 ============ Psa 16:8 I have set the LORD always before me: because he is at my right hand, I shall not be moved.(KJV-1611) Psa 16:8 Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 16:9 ============ Psa 16:9 Therefore my heart is glad, and my glory rejoiceth: my flesh also shall rest in hope.(KJV-1611) Psa 16:9 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 16:10 ============ Psa 16:10 For thou wilt not leave my soul in hell; neither wilt thou suffer thine Holy One to see corruption.(KJV-1611) Psa 16:10 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.(Creole-HT) ======= Psalm 16:11 ============ Psa 16:11 Thou wilt shew me the path of life: in thy presence is fulness of joy; at thy right hand there are pleasures for evermore.(KJV-1611) Psa 16:11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Psalm 17:1 ============ Psa 17:1 Hear the right, O LORD, attend unto my cry, give ear unto my prayer, that goeth not out of feigned lips.(KJV-1611) Psa 17:1 Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 17:2 ============ Psa 17:2 Let my sentence come forth from thy presence; let thine eyes behold the things that are equal.(KJV-1611) Psa 17:2 Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye.(Creole-HT) ======= Psalm 17:3 ============ Psa 17:3 Thou hast proved mine heart; thou hast visited me in the night; thou hast tried me, and shalt find nothing; I am purposed that my mouth shall not transgress.(KJV-1611) Psa 17:3 Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 17:4 ============ Psa 17:4 Concerning the works of men, by the word of thy lips I have kept me from the paths of the destroyer.(KJV-1611) Psa 17:4 Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.(Creole-HT) ======= Psalm 17:5 ============ Psa 17:5 Hold up my goings in thy paths, that my footsteps slip not.(KJV-1611) Psa 17:5 Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale.(Creole-HT) ======= Psalm 17:6 ============ Psa 17:6 I have called upon thee, for thou wilt hear me, O God: incline thine ear unto me, and hear my speech.(KJV-1611) Psa 17:6 M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou:(Creole-HT) ======= Psalm 17:7 ============ Psa 17:7 Shew thy marvellous lovingkindness, O thou that savest by thy right hand them which put their trust in thee from those that rise up against them.(KJV-1611) Psa 17:7 Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.(Creole-HT) ======= Psalm 17:8 ============ Psa 17:8 Keep me as the apple of the eye, hide me under the shadow of thy wings,(KJV-1611) Psa 17:8 Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 17:9 ============ Psa 17:9 From the wicked that oppress me, from my deadly enemies, who compass me about.(KJV-1611) Psa 17:9 Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 17:10 ============ Psa 17:10 They are inclosed in their own fat: with their mouth they speak proudly.(KJV-1611) Psa 17:10 Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.(Creole-HT) ======= Psalm 17:11 ============ Psa 17:11 They have now compassed us in our steps: they have set their eyes bowing down to the earth;(KJV-1611) Psa 17:11 Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè.(Creole-HT) ======= Psalm 17:12 ============ Psa 17:12 Like as a lion that is greedy of his prey, and as it were a young lion lurking in secret places.(KJV-1611) Psa 17:12 Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 17:13 ============ Psa 17:13 Arise, O LORD, disappoint him, cast him down: deliver my soul from the wicked, which is thy sword:(KJV-1611) Psa 17:13 Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 17:14 ============ Psa 17:14 From men which are thy hand, O LORD, from men of the world, which have their portion in this life, and whose belly thou fillest with thy hid treasure: they are full of children, and leave the rest of their substance to their babes.(KJV-1611) Psa 17:14 Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.(Creole-HT) ======= Psalm 17:15 ============ Psa 17:15 As for me, I will behold thy face in righteousness: I shall be satisfied, when I awake, with thy likeness.(KJV-1611) Psa 17:15 Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:1 ============ Psa 18:1 I will love thee, O LORD, my strength.(KJV-1611) Psa 18:1 Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:2 ============ Psa 18:2 The LORD is my rock, and my fortress, and my deliverer; my God, my strength, in whom I will trust; my buckler, and the horn of my salvation, and my high tower.(KJV-1611) Psa 18:2 Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.(Creole-HT) ======= Psalm 18:3 ============ Psa 18:3 I will call upon the LORD, who is worthy to be praised: so shall I be saved from mine enemies.(KJV-1611) Psa 18:3 Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 18:4 ============ Psa 18:4 The sorrows of death compassed me, and the floods of ungodly men made me afraid.(KJV-1611) Psa 18:4 Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:5 ============ Psa 18:5 The sorrows of hell compassed me about: the snares of death prevented me.(KJV-1611) Psa 18:5 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'.(Creole-HT) ======= Psalm 18:6 ============ Psa 18:6 In my distress I called upon the LORD, and cried unto my God: he heard my voice out of his temple, and my cry came before him, even into his ears.(KJV-1611) Psa 18:6 Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.(Creole-HT) ======= Psalm 18:7 ============ Psa 18:7 Then the earth shook and trembled; the foundations also of the hills moved and were shaken, because he was wroth.(KJV-1611) Psa 18:7 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!(Creole-HT) ======= Psalm 18:8 ============ Psa 18:8 There went up a smoke out of his nostrils, and fire out of his mouth devoured: coals were kindled by it.(KJV-1611) Psa 18:8 Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Psalm 18:9 ============ Psa 18:9 He bowed the heavens also, and came down: and darkness was under his feet.(KJV-1611) Psa 18:9 Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.(Creole-HT) ======= Psalm 18:10 ============ Psa 18:10 And he rode upon a cherub, and did fly: yea, he did fly upon the wings of the wind.(KJV-1611) Psa 18:10 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.(Creole-HT) ======= Psalm 18:11 ============ Psa 18:11 He made darkness his secret place; his pavilion round about him were dark waters and thick clouds of the skies.(KJV-1611) Psa 18:11 Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 18:12 ============ Psa 18:12 At the brightness that was before him his thick clouds passed, hail stones and coals of fire.(KJV-1611) Psa 18:12 Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.(Creole-HT) ======= Psalm 18:13 ============ Psa 18:13 The LORD also thundered in the heavens, and the Highest gave his voice; hail stones and coals of fire.(KJV-1611) Psa 18:13 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 18:14 ============ Psa 18:14 Yea, he sent out his arrows, and scattered them; and he shot out lightnings, and discomfited them.(KJV-1611) Psa 18:14 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.(Creole-HT) ======= Psalm 18:15 ============ Psa 18:15 Then the channels of waters were seen, and the foundations of the world were discovered at thy rebuke, O LORD, at the blast of the breath of thy nostrils.(KJV-1611) Psa 18:15 Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.(Creole-HT) ======= Psalm 18:16 ============ Psa 18:16 He sent from above, he took me, he drew me out of many waters.(KJV-1611) Psa 18:16 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 18:17 ============ Psa 18:17 He delivered me from my strong enemy, and from them which hated me: for they were too strong for me.(KJV-1611) Psa 18:17 Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'.(Creole-HT) ======= Psalm 18:18 ============ Psa 18:18 They prevented me in the day of my calamity: but the LORD was my stay.(KJV-1611) Psa 18:18 Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.(Creole-HT) ======= Psalm 18:19 ============ Psa 18:19 He brought me forth also into a large place; he delivered me, because he delighted in me.(KJV-1611) Psa 18:19 Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:20 ============ Psa 18:20 The LORD rewarded me according to my righteousness; according to the cleanness of my hands hath he recompensed me.(KJV-1611) Psa 18:20 Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.(Creole-HT) ======= Psalm 18:21 ============ Psa 18:21 For I have kept the ways of the LORD, and have not wickedly departed from my God.(KJV-1611) Psa 18:21 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 18:22 ============ Psa 18:22 For all his judgments were before me, and I did not put away his statutes from me.(KJV-1611) Psa 18:22 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 18:23 ============ Psa 18:23 I was also upright before him, and I kept myself from mine iniquity.(KJV-1611) Psa 18:23 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 18:24 ============ Psa 18:24 Therefore hath the LORD recompensed me according to my righteousness, according to the cleanness of my hands in his eyesight.(KJV-1611) Psa 18:24 Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.(Creole-HT) ======= Psalm 18:25 ============ Psa 18:25 With the merciful thou wilt shew thyself merciful; with an upright man thou wilt shew thyself upright;(KJV-1611) Psa 18:25 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.(Creole-HT) ======= Psalm 18:26 ============ Psa 18:26 With the pure thou wilt shew thyself pure; and with the froward thou wilt shew thyself froward.(KJV-1611) Psa 18:26 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:27 ============ Psa 18:27 For thou wilt save the afflicted people; but wilt bring down high looks.(KJV-1611) Psa 18:27 Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.(Creole-HT) ======= Psalm 18:28 ============ Psa 18:28 For thou wilt light my candle: the LORD my God will enlighten my darkness.(KJV-1611) Psa 18:28 Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 18:29 ============ Psa 18:29 For by thee I have run through a troop; and by my God have I leaped over a wall.(KJV-1611) Psa 18:29 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.(Creole-HT) ======= Psalm 18:30 ============ Psa 18:30 As for God, his way is perfect: the word of the LORD is tried: he is a buckler to all those that trust in him.(KJV-1611) Psa 18:30 Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 18:31 ============ Psa 18:31 For who is God save the LORD? or who is a rock save our God?(KJV-1611) Psa 18:31 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?(Creole-HT) ======= Psalm 18:32 ============ Psa 18:32 It is God that girdeth me with strength, and maketh my way perfect.(KJV-1611) Psa 18:32 Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch.(Creole-HT) ======= Psalm 18:33 ============ Psa 18:33 He maketh my feet like hinds' feet, and setteth me upon my high places.(KJV-1611) Psa 18:33 Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 18:34 ============ Psa 18:34 He teacheth my hands to war, so that a bow of steel is broken by mine arms.(KJV-1611) Psa 18:34 Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:35 ============ Psa 18:35 Thou hast also given me the shield of thy salvation: and thy right hand hath holden me up, and thy gentleness hath made me great.(KJV-1611) Psa 18:35 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 18:36 ============ Psa 18:36 Thou hast enlarged my steps under me, that my feet did not slip.(KJV-1611) Psa 18:36 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.(Creole-HT) ======= Psalm 18:37 ============ Psa 18:37 I have pursued mine enemies, and overtaken them: neither did I turn again till they were consumed.(KJV-1611) Psa 18:37 Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 18:38 ============ Psa 18:38 I have wounded them that they were not able to rise: they are fallen under my feet.(KJV-1611) Psa 18:38 Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 18:39 ============ Psa 18:39 For thou hast girded me with strength unto the battle: thou hast subdued under me those that rose up against me.(KJV-1611) Psa 18:39 Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.(Creole-HT) ======= Psalm 18:40 ============ Psa 18:40 Thou hast also given me the necks of mine enemies; that I might destroy them that hate me.(KJV-1611) Psa 18:40 Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 18:41 ============ Psa 18:41 They cried, but there was none to save them: even unto the LORD, but he answered them not.(KJV-1611) Psa 18:41 Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 18:42 ============ Psa 18:42 Then did I beat them small as the dust before the wind: I did cast them out as the dirt in the streets.(KJV-1611) Psa 18:42 Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.(Creole-HT) ======= Psalm 18:43 ============ Psa 18:43 Thou hast delivered me from the strivings of the people; and thou hast made me the head of the heathen: a people whom I have not known shall serve me.(KJV-1611) Psa 18:43 Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 18:44 ============ Psa 18:44 As soon as they hear of me, they shall obey me: the strangers shall submit themselves unto me.(KJV-1611) Psa 18:44 Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:(Creole-HT) ======= Psalm 18:45 ============ Psa 18:45 The strangers shall fade away, and be afraid out of their close places.(KJV-1611) Psa 18:45 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.(Creole-HT) ======= Psalm 18:46 ============ Psa 18:46 The LORD liveth; and blessed be my rock; and let the God of my salvation be exalted.(KJV-1611) Psa 18:46 Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 18:47 ============ Psa 18:47 It is God that avengeth me, and subdueth the people under me.(KJV-1611) Psa 18:47 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 18:48 ============ Psa 18:48 He delivereth me from mine enemies: yea, thou liftest me up above those that rise up against me: thou hast delivered me from the violent man.(KJV-1611) Psa 18:48 Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 18:49 ============ Psa 18:49 Therefore will I give thanks unto thee, O LORD, among the heathen, and sing praises unto thy name.(KJV-1611) Psa 18:49 Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 18:50 ============ Psa 18:50 Great deliverance giveth he to his king; and sheweth mercy to his anointed, to David, and to his seed for evermore.(KJV-1611) Psa 18:50 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 19:1 ============ Psa 19:1 The heavens declare the glory of God; and the firmament sheweth his handywork.(KJV-1611) Psa 19:1 Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.(Creole-HT) ======= Psalm 19:2 ============ Psa 19:2 Day unto day uttereth speech, and night unto night sheweth knowledge.(KJV-1611) Psa 19:2 Jounen jòdi a rakonte koze sa a bay jounen denmen k'ap vini an. Lannwit sa a repete l' bay lannwit ki vin apre a.(Creole-HT) ======= Psalm 19:3 ============ Psa 19:3 There is no speech nor language, where their voice is not heard.(KJV-1611) Psa 19:3 Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi.(Creole-HT) ======= Psalm 19:4 ============ Psa 19:4 Their line is gone out through all the earth, and their words to the end of the world. In them hath he set a tabernacle for the sun,(KJV-1611) Psa 19:4 Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.(Creole-HT) ======= Psalm 19:5 ============ Psa 19:5 Which is as a bridegroom coming out of his chamber, and rejoiceth as a strong man to run a race.(KJV-1611) Psa 19:5 Solèy la menm soti tankou yon nonm ki fèk marye k'ap soti anndan chanm li. Li kontan, l'ap kouri tankou yon gwonèg ki konnen li deja genyen kous la.(Creole-HT) ======= Psalm 19:6 ============ Psa 19:6 His going forth is from the end of the heaven, and his circuit unto the ends of it: and there is nothing hid from the heat thereof.(KJV-1611) Psa 19:6 Solèy la leve nan yon bout syèl la, li kouche nan lòt bout la. Chalè li bat sou tout bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 19:7 ============ Psa 19:7 The law of the LORD is perfect, converting the soul: the testimony of the LORD is sure, making wise the simple.(KJV-1611) Psa 19:7 Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 19:8 ============ Psa 19:8 The statutes of the LORD are right, rejoicing the heart: the commandment of the LORD is pure, enlightening the eyes.(KJV-1611) Psa 19:8 Regleman Seyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.(Creole-HT) ======= Psalm 19:9 ============ Psa 19:9 The fear of the LORD is clean, enduring for ever: the judgments of the LORD are true and righteous altogether.(KJV-1611) Psa 19:9 Se pou nou gen krentif pou Seyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Seyè a se verite, yo pa janm nan patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 19:10 ============ Psa 19:10 More to be desired are they than gold, yea, than much fine gold: sweeter also than honey and the honeycomb.(KJV-1611) Psa 19:10 Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.(Creole-HT) ======= Psalm 19:11 ============ Psa 19:11 Moreover by them is thy servant warned: and in keeping of them there is great reward.(KJV-1611) Psa 19:11 Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m' anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 19:12 ============ Psa 19:12 Who can understand his errors? cleanse thou me from secret faults.(KJV-1611) Psa 19:12 Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!(Creole-HT) ======= Psalm 19:13 ============ Psa 19:13 Keep back thy servant also from presumptuous sins; let them not have dominion over me: then shall I be upright, and I shall be innocent from the great transgression.(KJV-1611) Psa 19:13 Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m' tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.(Creole-HT) ======= Psalm 19:14 ============ Psa 19:14 Let the words of my mouth, and the meditation of my heart, be acceptable in thy sight, O LORD, my strength, and my redeemer.(KJV-1611) Psa 19:14 Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.(Creole-HT) ======= Psalm 20:1 ============ Psa 20:1 The LORD hear thee in the day of trouble; the name of the God of Jacob defend thee;(KJV-1611) Psa 20:1 Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.(Creole-HT) ======= Psalm 20:2 ============ Psa 20:2 Send thee help from the sanctuary, and strengthen thee out of Zion;(KJV-1611) Psa 20:2 Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou.(Creole-HT) ======= Psalm 20:3 ============ Psa 20:3 Remember all thy offerings, and accept thy burnt sacrifice; Selah.(KJV-1611) Psa 20:3 Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 20:4 ============ Psa 20:4 Grant thee according to thine own heart, and fulfil all thy counsel.(KJV-1611) Psa 20:4 Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.(Creole-HT) ======= Psalm 20:5 ============ Psa 20:5 We will rejoice in thy salvation, and in the name of our God we will set up our banners: the LORD fulfil all thy petitions.(KJV-1611) Psa 20:5 Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.(Creole-HT) ======= Psalm 20:6 ============ Psa 20:6 Now know I that the LORD saveth his anointed; he will hear him from his holy heaven with the saving strength of his right hand.(KJV-1611) Psa 20:6 Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 20:7 ============ Psa 20:7 Some trust in chariots, and some in horses: but we will remember the name of the LORD our God.(KJV-1611) Psa 20:7 Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.(Creole-HT) ======= Psalm 20:8 ============ Psa 20:8 They are brought down and fallen: but we are risen, and stand upright.(KJV-1611) Psa 20:8 Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.(Creole-HT) ======= Psalm 20:9 ============ Psa 20:9 Save, LORD: let the king hear us when we call.(KJV-1611) Psa 20:9 Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!(Creole-HT) ======= Psalm 21:1 ============ Psa 21:1 The king shall joy in thy strength, O LORD; and in thy salvation how greatly shall he rejoice!(KJV-1611) Psa 21:1 Wa a kontan, Seyè, dèske ou te ba li fòs kouraj. Wa a kontan nèt dèske ou fè l' genyen batay la.(Creole-HT) ======= Psalm 21:2 ============ Psa 21:2 Thou hast given him his heart's desire, and hast not withholden the request of his lips. Selah.(KJV-1611) Psa 21:2 Ou ba li tou sa l' te renmen. Ou pa t' refize l' sa l' te mande ou.(Creole-HT) ======= Psalm 21:3 ============ Psa 21:3 For thou preventest him with the blessings of goodness: thou settest a crown of pure gold on his head.(KJV-1611) Psa 21:3 Ou vin bò kote l' avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.(Creole-HT) ======= Psalm 21:4 ============ Psa 21:4 He asked life of thee, and thou gavest it him, even length of days for ever and ever.(KJV-1611) Psa 21:4 Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Psalm 21:5 ============ Psa 21:5 His glory is great in thy salvation: honour and majesty hast thou laid upon him.(KJV-1611) Psa 21:5 Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,(Creole-HT) ======= Psalm 21:6 ============ Psa 21:6 For thou hast made him most blessed for ever: thou hast made him exceeding glad with thy countenance.(KJV-1611) Psa 21:6 Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.(Creole-HT) ======= Psalm 21:7 ============ Psa 21:7 For the king trusteth in the LORD, and through the mercy of the most High he shall not be moved.(KJV-1611) Psa 21:7 Wa a mete konfyans li nan Seyè a. Gremesi Bondye ki anwo nan syèl la, wa a la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 21:8 ============ Psa 21:8 Thine hand shall find out all thine enemies: thy right hand shall find out those that hate thee.(KJV-1611) Psa 21:8 Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 21:9 ============ Psa 21:9 Thou shalt make them as a fiery oven in the time of thine anger: the LORD shall swallow them up in his wrath, and the fire shall devour them.(KJV-1611) Psa 21:9 Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 21:10 ============ Psa 21:10 Their fruit shalt thou destroy from the earth, and their seed from among the children of men.(KJV-1611) Psa 21:10 W'ap disparèt tout pitit yo sou latè, w'ap disparèt tout ras yo pami lèzòm.(Creole-HT) ======= Psalm 21:11 ============ Psa 21:11 For they intended evil against thee: they imagined a mischievous device, which they are not able to perform.(KJV-1611) Psa 21:11 Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 21:12 ============ Psa 21:12 Therefore shalt thou make them turn their back, when thou shalt make ready thine arrows upon thy strings against the face of them.(KJV-1611) Psa 21:12 L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.(Creole-HT) ======= Psalm 21:13 ============ Psa 21:13 Be thou exalted, LORD, in thine own strength: so will we sing and praise thy power.(KJV-1611) Psa 21:13 Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 22:1 ============ Psa 22:1 My God, my God, why hast thou forsaken me? why art thou so far from helping me, and from the words of my roaring?(KJV-1611) Psa 22:1 Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?(Creole-HT) ======= Psalm 22:2 ============ Psa 22:2 O my God, I cry in the day time, but thou hearest not; and in the night season, and am not silent.(KJV-1611) Psa 22:2 Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi.(Creole-HT) ======= Psalm 22:3 ============ Psa 22:3 But thou art holy, O thou that inhabitest the praises of Israel.(KJV-1611) Psa 22:3 Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 22:4 ============ Psa 22:4 Our fathers trusted in thee: they trusted, and thou didst deliver them.(KJV-1611) Psa 22:4 Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.(Creole-HT) ======= Psalm 22:5 ============ Psa 22:5 They cried unto thee, and were delivered: they trusted in thee, and were not confounded.(KJV-1611) Psa 22:5 Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa.(Creole-HT) ======= Psalm 22:6 ============ Psa 22:6 But I am a worm, and no man; a reproach of men, and despised of the people.(KJV-1611) Psa 22:6 Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.(Creole-HT) ======= Psalm 22:7 ============ Psa 22:7 All they that see me laugh me to scorn: they shoot out the lip, they shake the head, saying,(KJV-1611) Psa 22:7 Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 22:8 ============ Psa 22:8 He trusted on the LORD that he would deliver him: let him deliver him, seeing he delighted in him.(KJV-1611) Psa 22:8 Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou?(Creole-HT) ======= Psalm 22:9 ============ Psa 22:9 But thou art he that took me out of the womb: thou didst make me hope when I was upon my mother's breasts.(KJV-1611) Psa 22:9 Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.(Creole-HT) ======= Psalm 22:10 ============ Psa 22:10 I was cast upon thee from the womb: thou art my God from my mother's belly.(KJV-1611) Psa 22:10 Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 22:11 ============ Psa 22:11 Be not far from me; for trouble is near; for there is none to help.(KJV-1611) Psa 22:11 Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'.(Creole-HT) ======= Psalm 22:12 ============ Psa 22:12 Many bulls have compassed me: strong bulls of Bashan have beset me round.(KJV-1611) Psa 22:12 Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.(Creole-HT) ======= Psalm 22:13 ============ Psa 22:13 They gaped upon me with their mouths, as a ravening and a roaring lion.(KJV-1611) Psa 22:13 Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 22:14 ============ Psa 22:14 I am poured out like water, and all my bones are out of joint: my heart is like wax; it is melted in the midst of my bowels.(KJV-1611) Psa 22:14 Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.(Creole-HT) ======= Psalm 22:15 ============ Psa 22:15 My strength is dried up like a potsherd; and my tongue cleaveth to my jaws; and thou hast brought me into the dust of death.(KJV-1611) Psa 22:15 Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 22:16 ============ Psa 22:16 For dogs have compassed me: the assembly of the wicked have inclosed me: they pierced my hands and my feet.(KJV-1611) Psa 22:16 Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 22:17 ============ Psa 22:17 I may tell all my bones: they look and stare upon me.(KJV-1611) Psa 22:17 Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 22:18 ============ Psa 22:18 They part my garments among them, and cast lots upon my vesture.(KJV-1611) Psa 22:18 Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 22:19 ============ Psa 22:19 But be not thou far from me, O LORD: O my strength, haste thee to help me.(KJV-1611) Psa 22:19 Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 22:20 ============ Psa 22:20 Deliver my soul from the sword; my darling from the power of the dog.(KJV-1611) Psa 22:20 Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.(Creole-HT) ======= Psalm 22:21 ============ Psa 22:21 Save me from the lion's mouth: for thou hast heard me from the horns of the unicorns.(KJV-1611) Psa 22:21 Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 22:22 ============ Psa 22:22 I will declare thy name unto my brethren: in the midst of the congregation will I praise thee.(KJV-1611) Psa 22:22 M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.(Creole-HT) ======= Psalm 22:23 ============ Psa 22:23 Ye that fear the LORD, praise him; all ye the seed of Jacob, glorify him; and fear him, all ye the seed of Israel.(KJV-1611) Psa 22:23 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li.(Creole-HT) ======= Psalm 22:24 ============ Psa 22:24 For he hath not despised nor abhorred the affliction of the afflicted; neither hath he hid his face from him; but when he cried unto him, he heard.(KJV-1611) Psa 22:24 Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.(Creole-HT) ======= Psalm 22:25 ============ Psa 22:25 My praise shall be of thee in the great congregation: I will pay my vows before them that fear him.(KJV-1611) Psa 22:25 M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 22:26 ============ Psa 22:26 The meek shall eat and be satisfied: they shall praise the LORD that seek him: your heart shall live for ever.(KJV-1611) Psa 22:26 Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 22:27 ============ Psa 22:27 All the ends of the world shall remember and turn unto the LORD: and all the kindreds of the nations shall worship before thee.(KJV-1611) Psa 22:27 Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.(Creole-HT) ======= Psalm 22:28 ============ Psa 22:28 For the kingdom is the LORD's: and he is the governor among the nations.(KJV-1611) Psa 22:28 Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.(Creole-HT) ======= Psalm 22:29 ============ Psa 22:29 All they that be fat upon earth shall eat and worship: all they that go down to the dust shall bow before him: and none can keep alive his own soul.(KJV-1611) Psa 22:29 Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li.(Creole-HT) ======= Psalm 22:30 ============ Psa 22:30 A seed shall serve him; it shall be accounted to the Lord for a generation.(KJV-1611) Psa 22:30 Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.(Creole-HT) ======= Psalm 22:31 ============ Psa 22:31 They shall come, and shall declare his righteousness unto a people that shall be born, that he hath done this.(KJV-1611) Psa 22:31 Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 23:1 ============ Psa 23:1 The LORD is my shepherd; I shall not want.(KJV-1611) Psa 23:1 Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 23:2 ============ Psa 23:2 He maketh me to lie down in green pastures: he leadeth me beside the still waters.(KJV-1611) Psa 23:2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m' pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m' bwè.(Creole-HT) ======= Psalm 23:3 ============ Psa 23:3 He restoreth my soul: he leadeth me in the paths of righteousness for his name's sake.(KJV-1611) Psa 23:3 Li fè m' reprann fòs. Li fè m' mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.(Creole-HT) ======= Psalm 23:4 ============ Psa 23:4 Yea, though I walk through the valley of the shadow of death, I will fear no evil: for thou art with me; thy rod and thy staff they comfort me.(KJV-1611) Psa 23:4 Menm si m'ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p'ap pè anyen, paske, Seyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m' pa kase.(Creole-HT) ======= Psalm 23:5 ============ Psa 23:5 Thou preparest a table before me in the presence of mine enemies: thou anointest my head with oil; my cup runneth over.(KJV-1611) Psa 23:5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m' yo. Ou resevwa m', ou fè kè m' kontan ou ban m' tou sa m' bezwen.(Creole-HT) ======= Psalm 23:6 ============ Psa 23:6 Surely goodness and mercy shall follow me all the days of my life: and I will dwell in the house of the LORD for ever.(KJV-1611) Psa 23:6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m', w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m'. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 24:1 ============ Psa 24:1 The earth is the LORD's, and the fulness thereof; the world, and they that dwell therein.(KJV-1611) Psa 24:1 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 24:2 ============ Psa 24:2 For he hath founded it upon the seas, and established it upon the floods.(KJV-1611) Psa 24:2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 24:3 ============ Psa 24:3 Who shall ascend into the hill of the LORD? or who shall stand in his holy place?(KJV-1611) Psa 24:3 Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a?(Creole-HT) ======= Psalm 24:4 ============ Psa 24:4 He that hath clean hands, and a pure heart; who hath not lifted up his soul unto vanity, nor sworn deceitfully.(KJV-1611) Psa 24:4 Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.(Creole-HT) ======= Psalm 24:5 ============ Psa 24:5 He shall receive the blessing from the LORD, and righteousness from the God of his salvation.(KJV-1611) Psa 24:5 Seyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l' la va fè l' gras.(Creole-HT) ======= Psalm 24:6 ============ Psa 24:6 This is the generation of them that seek him, that seek thy face, O Jacob. Selah.(KJV-1611) Psa 24:6 Se moun konsa ki pou chache Seyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la.(Creole-HT) ======= Psalm 24:7 ============ Psa 24:7 Lift up your heads, O ye gates; and be ye lift up, ye everlasting doors; and the King of glory shall come in.(KJV-1611) Psa 24:7 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!(Creole-HT) ======= Psalm 24:8 ============ Psa 24:8 Who is this King of glory? The LORD strong and mighty, the LORD mighty in battle.(KJV-1611) Psa 24:8 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.(Creole-HT) ======= Psalm 24:9 ============ Psa 24:9 Lift up your heads, O ye gates; even lift them up, ye everlasting doors; and the King of glory shall come in.(KJV-1611) Psa 24:9 Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!(Creole-HT) ======= Psalm 24:10 ============ Psa 24:10 Who is this King of glory? The LORD of hosts, he is the King of glory. Selah.(KJV-1611) Psa 24:10 Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.(Creole-HT) ======= Psalm 25:1 ============ Psa 25:1 Unto thee, O LORD, do I lift up my soul.(KJV-1611) Psa 25:1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 25:2 ============ Psa 25:2 O my God, I trust in thee: let me not be ashamed, let not mine enemies triumph over me.(KJV-1611) Psa 25:2 Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.(Creole-HT) ======= Psalm 25:3 ============ Psa 25:3 Yea, let none that wait on thee be ashamed: let them be ashamed which transgress without cause.(KJV-1611) Psa 25:3 Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.(Creole-HT) ======= Psalm 25:4 ============ Psa 25:4 Shew me thy ways, O LORD; teach me thy paths.(KJV-1611) Psa 25:4 Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!(Creole-HT) ======= Psalm 25:5 ============ Psa 25:5 Lead me in thy truth, and teach me: for thou art the God of my salvation; on thee do I wait all the day.(KJV-1611) Psa 25:5 Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.(Creole-HT) ======= Psalm 25:6 ============ Psa 25:6 Remember, O LORD, thy tender mercies and thy lovingkindnesses; for they have been ever of old.(KJV-1611) Psa 25:6 Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 25:7 ============ Psa 25:7 Remember not the sins of my youth, nor my transgressions: according to thy mercy remember thou me for thy goodness' sake, O LORD.(KJV-1611) Psa 25:7 Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!(Creole-HT) ======= Psalm 25:8 ============ Psa 25:8 Good and upright is the LORD: therefore will he teach sinners in the way.(KJV-1611) Psa 25:8 Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.(Creole-HT) ======= Psalm 25:9 ============ Psa 25:9 The meek will he guide in judgment: and the meek will he teach his way.(KJV-1611) Psa 25:9 Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.(Creole-HT) ======= Psalm 25:10 ============ Psa 25:10 All the paths of the LORD are mercy and truth unto such as keep his covenant and his testimonies.(KJV-1611) Psa 25:10 Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.(Creole-HT) ======= Psalm 25:11 ============ Psa 25:11 For thy name's sake, O LORD, pardon mine iniquity; for it is great.(KJV-1611) Psa 25:11 Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 25:12 ============ Psa 25:12 What man is he that feareth the LORD? him shall he teach in the way that he shall choose.(KJV-1611) Psa 25:12 Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.(Creole-HT) ======= Psalm 25:13 ============ Psa 25:13 His soul shall dwell at ease; and his seed shall inherit the earth.(KJV-1611) Psa 25:13 L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 25:14 ============ Psa 25:14 The secret of the LORD is with them that fear him; and he will shew them his covenant.(KJV-1611) Psa 25:14 Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.(Creole-HT) ======= Psalm 25:15 ============ Psa 25:15 Mine eyes are ever toward the LORD; for he shall pluck my feet out of the net.(KJV-1611) Psa 25:15 Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.(Creole-HT) ======= Psalm 25:16 ============ Psa 25:16 Turn thee unto me, and have mercy upon me; for I am desolate and afflicted.(KJV-1611) Psa 25:16 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.(Creole-HT) ======= Psalm 25:17 ============ Psa 25:17 The troubles of my heart are enlarged: O bring thou me out of my distresses.(KJV-1611) Psa 25:17 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.(Creole-HT) ======= Psalm 25:18 ============ Psa 25:18 Look upon mine affliction and my pain; and forgive all my sins.(KJV-1611) Psa 25:18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 25:19 ============ Psa 25:19 Consider mine enemies; for they are many; and they hate me with cruel hatred.(KJV-1611) Psa 25:19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 25:20 ============ Psa 25:20 O keep my soul, and deliver me: let me not be ashamed; for I put my trust in thee.(KJV-1611) Psa 25:20 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.(Creole-HT) ======= Psalm 25:21 ============ Psa 25:21 Let integrity and uprightness preserve me; for I wait on thee.(KJV-1611) Psa 25:21 Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 25:22 ============ Psa 25:22 Redeem Israel, O God, out of all his troubles.(KJV-1611) Psa 25:22 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.(Creole-HT) ======= Psalm 26:1 ============ Psa 26:1 Judge me, O LORD; for I have walked in mine integrity: I have trusted also in the LORD; therefore I shall not slide.(KJV-1611) Psa 26:1 Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.(Creole-HT) ======= Psalm 26:2 ============ Psa 26:2 Examine me, O LORD, and prove me; try my reins and my heart.(KJV-1611) Psa 26:2 Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',(Creole-HT) ======= Psalm 26:3 ============ Psa 26:3 For thy lovingkindness is before mine eyes: and I have walked in thy truth.(KJV-1611) Psa 26:3 Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 26:4 ============ Psa 26:4 I have not sat with vain persons, neither will I go in with dissemblers.(KJV-1611) Psa 26:4 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.(Creole-HT) ======= Psalm 26:5 ============ Psa 26:5 I have hated the congregation of evil doers; and will not sit with the wicked.(KJV-1611) Psa 26:5 Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 26:6 ============ Psa 26:6 I will wash mine hands in innocency: so will I compass thine altar, O LORD:(KJV-1611) Psa 26:6 Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,(Creole-HT) ======= Psalm 26:7 ============ Psa 26:7 That I may publish with the voice of thanksgiving, and tell of all thy wondrous works.(KJV-1611) Psa 26:7 pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 26:8 ============ Psa 26:8 LORD, I have loved the habitation of thy house, and the place where thine honour dwelleth.(KJV-1611) Psa 26:8 Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 26:9 ============ Psa 26:9 Gather not my soul with sinners, nor my life with bloody men:(KJV-1611) Psa 26:9 Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,(Creole-HT) ======= Psalm 26:10 ============ Psa 26:10 In whose hands is mischief, and their right hand is full of bribes.(KJV-1611) Psa 26:10 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.(Creole-HT) ======= Psalm 26:11 ============ Psa 26:11 But as for me, I will walk in mine integrity: redeem me, and be merciful unto me.(KJV-1611) Psa 26:11 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 26:12 ============ Psa 26:12 My foot standeth in an even place: in the congregations will I bless the LORD.(KJV-1611) Psa 26:12 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.(Creole-HT) ======= Psalm 27:1 ============ Psa 27:1 The LORD is my light and my salvation; whom shall I fear? the LORD is the strength of my life; of whom shall I be afraid?(KJV-1611) Psa 27:1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?(Creole-HT) ======= Psalm 27:2 ============ Psa 27:2 When the wicked, even mine enemies and my foes, came upon me to eat up my flesh, they stumbled and fell.(KJV-1611) Psa 27:2 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 27:3 ============ Psa 27:3 Though an host should encamp against me, my heart shall not fear: though war should rise against me, in this will I be confident.(KJV-1611) Psa 27:3 Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 27:4 ============ Psa 27:4 One thing have I desired of the LORD, that will I seek after; that I may dwell in the house of the LORD all the days of my life, to behold the beauty of the LORD, and to enquire in his temple.(KJV-1611) Psa 27:4 Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Psalm 27:5 ============ Psa 27:5 For in the time of trouble he shall hide me in his pavilion: in the secret of his tabernacle shall he hide me; he shall set me up upon a rock.(KJV-1611) Psa 27:5 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 27:6 ============ Psa 27:6 And now shall mine head be lifted up above mine enemies round about me: therefore will I offer in his tabernacle sacrifices of joy; I will sing, yea, I will sing praises unto the LORD.(KJV-1611) Psa 27:6 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 27:7 ============ Psa 27:7 Hear, O LORD, when I cry with my voice: have mercy also upon me, and answer me.(KJV-1611) Psa 27:7 Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non!(Creole-HT) ======= Psalm 27:8 ============ Psa 27:8 When thou saidst, Seek ye my face; my heart said unto thee, Thy face, LORD, will I seek.(KJV-1611) Psa 27:8 Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè.(Creole-HT) ======= Psalm 27:9 ============ Psa 27:9 Hide not thy face far from me; put not thy servant away in anger: thou hast been my help; leave me not, neither forsake me, O God of my salvation.(KJV-1611) Psa 27:9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'.(Creole-HT) ======= Psalm 27:10 ============ Psa 27:10 When my father and my mother forsake me, then the LORD will take me up.(KJV-1611) Psa 27:10 Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 27:11 ============ Psa 27:11 Teach me thy way, O LORD, and lead me in a plain path, because of mine enemies.(KJV-1611) Psa 27:11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 27:12 ============ Psa 27:12 Deliver me not over unto the will of mine enemies: for false witnesses are risen up against me, and such as breathe out cruelty.(KJV-1611) Psa 27:12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 27:13 ============ Psa 27:13 I had fainted, unless I had believed to see the goodness of the LORD in the land of the living.(KJV-1611) Psa 27:13 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.(Creole-HT) ======= Psalm 27:14 ============ Psa 27:14 Wait on the LORD: be of good courage, and he shall strengthen thine heart: wait, I say, on the LORD.(KJV-1611) Psa 27:14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 28:1 ============ Psa 28:1 Unto thee will I cry, O LORD my rock; be not silent to me: lest, if thou be silent to me, I become like them that go down into the pit.(KJV-1611) Psa 28:1 Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.(Creole-HT) ======= Psalm 28:2 ============ Psa 28:2 Hear the voice of my supplications, when I cry unto thee, when I lift up my hands toward thy holy oracle.(KJV-1611) Psa 28:2 Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 28:3 ============ Psa 28:3 Draw me not away with the wicked, and with the workers of iniquity, which speak peace to their neighbours, but mischief is in their hearts.(KJV-1611) Psa 28:3 Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 28:4 ============ Psa 28:4 Give them according to their deeds, and according to the wickedness of their endeavours: give them after the work of their hands; render to them their desert.(KJV-1611) Psa 28:4 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.(Creole-HT) ======= Psalm 28:5 ============ Psa 28:5 Because they regard not the works of the LORD, nor the operation of his hands, he shall destroy them, and not build them up.(KJV-1611) Psa 28:5 Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.(Creole-HT) ======= Psalm 28:6 ============ Psa 28:6 Blessed be the LORD, because he hath heard the voice of my supplications.(KJV-1611) Psa 28:6 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.(Creole-HT) ======= Psalm 28:7 ============ Psa 28:7 The LORD is my strength and my shield; my heart trusted in him, and I am helped: therefore my heart greatly rejoiceth; and with my song will I praise him.(KJV-1611) Psa 28:7 Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 28:8 ============ Psa 28:8 The LORD is their strength, and he is the saving strength of his anointed.(KJV-1611) Psa 28:8 Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.(Creole-HT) ======= Psalm 28:9 ============ Psa 28:9 Save thy people, and bless thine inheritance: feed them also, and lift them up for ever.(KJV-1611) Psa 28:9 Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 29:1 ============ Psa 29:1 Give unto the LORD, O ye mighty, give unto the LORD glory and strength.(KJV-1611) Psa 29:1 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!(Creole-HT) ======= Psalm 29:2 ============ Psa 29:2 Give unto the LORD the glory due unto his name; worship the LORD in the beauty of holiness.(KJV-1611) Psa 29:2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!(Creole-HT) ======= Psalm 29:3 ============ Psa 29:3 The voice of the LORD is upon the waters: the God of glory thundereth: the LORD is upon many waters.(KJV-1611) Psa 29:3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.(Creole-HT) ======= Psalm 29:4 ============ Psa 29:4 The voice of the LORD is powerful; the voice of the LORD is full of majesty.(KJV-1611) Psa 29:4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'!(Creole-HT) ======= Psalm 29:5 ============ Psa 29:5 The voice of the LORD breaketh the cedars; yea, the LORD breaketh the cedars of Lebanon.(KJV-1611) Psa 29:5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.(Creole-HT) ======= Psalm 29:6 ============ Psa 29:6 He maketh them also to skip like a calf; Lebanon and Sirion like a young unicorn.(KJV-1611) Psa 29:6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.(Creole-HT) ======= Psalm 29:7 ============ Psa 29:7 The voice of the LORD divideth the flames of fire.(KJV-1611) Psa 29:7 Vwa Seyè a fè zèklè.(Creole-HT) ======= Psalm 29:8 ============ Psa 29:8 The voice of the LORD shaketh the wilderness; the LORD shaketh the wilderness of Kadesh.(KJV-1611) Psa 29:8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.(Creole-HT) ======= Psalm 29:9 ============ Psa 29:9 The voice of the LORD maketh the hinds to calve, and discovereth the forests: and in his temple doth every one speak of his glory.(KJV-1611) Psa 29:9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 29:10 ============ Psa 29:10 The LORD sitteth upon the flood; yea, the LORD sitteth King for ever.(KJV-1611) Psa 29:10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 29:11 ============ Psa 29:11 The LORD will give strength unto his people; the LORD will bless his people with peace.(KJV-1611) Psa 29:11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.(Creole-HT) ======= Psalm 30:1 ============ Psa 30:1 I will extol thee, O LORD; for thou hast lifted me up, and hast not made my foes to rejoice over me.(KJV-1611) Psa 30:1 M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 30:2 ============ Psa 30:2 O LORD my God, I cried unto thee, and thou hast healed me.(KJV-1611) Psa 30:2 Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 30:3 ============ Psa 30:3 O LORD, thou hast brought up my soul from the grave: thou hast kept me alive, that I should not go down to the pit.(KJV-1611) Psa 30:3 Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 30:4 ============ Psa 30:4 Sing unto the LORD, O ye saints of his, and give thanks at the remembrance of his holiness.(KJV-1611) Psa 30:4 Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 30:5 ============ Psa 30:5 For his anger endureth but a moment; in his favour is life: weeping may endure for a night, but joy cometh in the morning.(KJV-1611) Psa 30:5 Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 30:6 ============ Psa 30:6 And in my prosperity I said, I shall never be moved.(KJV-1611) Psa 30:6 Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 30:7 ============ Psa 30:7 LORD, by thy favour thou hast made my mountain to stand strong: thou didst hide thy face, and I was troubled.(KJV-1611) Psa 30:7 Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.(Creole-HT) ======= Psalm 30:8 ============ Psa 30:8 I cried to thee, O LORD; and unto the LORD I made supplication.(KJV-1611) Psa 30:8 Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 30:9 ============ Psa 30:9 What profit is there in my blood, when I go down to the pit? Shall the dust praise thee? shall it declare thy truth?(KJV-1611) Psa 30:9 Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?(Creole-HT) ======= Psalm 30:10 ============ Psa 30:10 Hear, O LORD, and have mercy upon me: LORD, be thou my helper.(KJV-1611) Psa 30:10 Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!(Creole-HT) ======= Psalm 30:11 ============ Psa 30:11 Thou hast turned for me my mourning into dancing: thou hast put off my sackcloth, and girded me with gladness;(KJV-1611) Psa 30:11 Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 30:12 ============ Psa 30:12 To the end that my glory may sing praise to thee, and not be silent. O LORD my God, I will give thanks unto thee for ever.(KJV-1611) Psa 30:12 Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 31:1 ============ Psa 31:1 In thee, O LORD, do I put my trust; let me never be ashamed: deliver me in thy righteousness.(KJV-1611) Psa 31:1 Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 31:2 ============ Psa 31:2 Bow down thine ear to me; deliver me speedily: be thou my strong rock, for an house of defence to save me.(KJV-1611) Psa 31:2 Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 31:3 ============ Psa 31:3 For thou art my rock and my fortress; therefore for thy name's sake lead me, and guide me.(KJV-1611) Psa 31:3 Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.(Creole-HT) ======= Psalm 31:4 ============ Psa 31:4 Pull me out of the net that they have laid privily for me: for thou art my strength.(KJV-1611) Psa 31:4 Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'.(Creole-HT) ======= Psalm 31:5 ============ Psa 31:5 Into thine hand I commit my spirit: thou hast redeemed me, O LORD God of truth.(KJV-1611) Psa 31:5 Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Psalm 31:6 ============ Psa 31:6 I have hated them that regard lying vanities: but I trust in the LORD.(KJV-1611) Psa 31:6 Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 31:7 ============ Psa 31:7 I will be glad and rejoice in thy mercy: for thou hast considered my trouble; thou hast known my soul in adversities;(KJV-1611) Psa 31:7 M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.(Creole-HT) ======= Psalm 31:8 ============ Psa 31:8 And hast not shut me up into the hand of the enemy: thou hast set my feet in a large room.(KJV-1611) Psa 31:8 Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 31:9 ============ Psa 31:9 Have mercy upon me, O LORD, for I am in trouble: mine eye is consumed with grief, yea, my soul and my belly.(KJV-1611) Psa 31:9 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.(Creole-HT) ======= Psalm 31:10 ============ Psa 31:10 For my life is spent with grief, and my years with sighing: my strength faileth because of mine iniquity, and my bones are consumed.(KJV-1611) Psa 31:10 Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.(Creole-HT) ======= Psalm 31:11 ============ Psa 31:11 I was a reproach among all mine enemies, but especially among my neighbours, and a fear to mine acquaintance: they that did see me without fled from me.(KJV-1611) Psa 31:11 Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 31:12 ============ Psa 31:12 I am forgotten as a dead man out of mind: I am like a broken vessel.(KJV-1611) Psa 31:12 Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.(Creole-HT) ======= Psalm 31:13 ============ Psa 31:13 For I have heard the slander of many: fear was on every side: while they took counsel together against me, they devised to take away my life.(KJV-1611) Psa 31:13 Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 31:14 ============ Psa 31:14 But I trusted in thee, O LORD: I said, Thou art my God.(KJV-1611) Psa 31:14 Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 31:15 ============ Psa 31:15 My times are in thy hand: deliver me from the hand of mine enemies, and from them that persecute me.(KJV-1611) Psa 31:15 Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 31:16 ============ Psa 31:16 Make thy face to shine upon thy servant: save me for thy mercies' sake.(KJV-1611) Psa 31:16 Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 31:17 ============ Psa 31:17 Let me not be ashamed, O LORD; for I have called upon thee: let the wicked be ashamed, and let them be silent in the grave.(KJV-1611) Psa 31:17 M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.(Creole-HT) ======= Psalm 31:18 ============ Psa 31:18 Let the lying lips be put to silence; which speak grievous things proudly and contemptuously against the righteous.(KJV-1611) Psa 31:18 Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 31:19 ============ Psa 31:19 Oh how great is thy goodness, which thou hast laid up for them that fear thee; which thou hast wrought for them that trust in thee before the sons of men!(KJV-1611) Psa 31:19 Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!(Creole-HT) ======= Psalm 31:20 ============ Psa 31:20 Thou shalt hide them in the secret of thy presence from the pride of man: thou shalt keep them secretly in a pavilion from the strife of tongues.(KJV-1611) Psa 31:20 Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.(Creole-HT) ======= Psalm 31:21 ============ Psa 31:21 Blessed be the LORD: for he hath shewed me his marvellous kindness in a strong city.(KJV-1611) Psa 31:21 Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a!(Creole-HT) ======= Psalm 31:22 ============ Psa 31:22 For I said in my haste, I am cut off from before thine eyes: nevertheless thou heardest the voice of my supplications when I cried unto thee.(KJV-1611) Psa 31:22 Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 31:23 ============ Psa 31:23 O love the LORD, all ye his saints: for the LORD preserveth the faithful, and plentifully rewardeth the proud doer.(KJV-1611) Psa 31:23 Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 31:24 ============ Psa 31:24 Be of good courage, and he shall strengthen your heart, all ye that hope in the LORD.(KJV-1611) Psa 31:24 Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.(Creole-HT) ======= Psalm 32:1 ============ Psa 32:1 Blessed is he whose transgression is forgiven, whose sin is covered.(KJV-1611) Psa 32:1 Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!(Creole-HT) ======= Psalm 32:2 ============ Psa 32:2 Blessed is the man unto whom the LORD imputeth not iniquity, and in whose spirit there is no guile.(KJV-1611) Psa 32:2 Ala bon sa bon pou yon moun lè Seyè a pa mande l' kont pou sa li fè ki mal, lè li pa gen okenn lide twonpe Bondye!(Creole-HT) ======= Psalm 32:3 ============ Psa 32:3 When I kept silence, my bones waxed old through my roaring all the day long.(KJV-1611) Psa 32:3 Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.(Creole-HT) ======= Psalm 32:4 ============ Psa 32:4 For day and night thy hand was heavy upon me: my moisture is turned into the drought of summer. Selah.(KJV-1611) Psa 32:4 Lajounen kou lannwit ou t'ap kale m', Seyè. Mwen fin rann tout ji mwen, tankou tè sèk nan sezon chalè.(Creole-HT) ======= Psalm 32:5 ============ Psa 32:5 I acknowledge my sin unto thee, and mine iniquity have I not hid. I said, I will confess my transgressions unto the LORD; and thou forgavest the iniquity of my sin. Selah.(KJV-1611) Psa 32:5 Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 32:6 ============ Psa 32:6 For this shall every one that is godly pray unto thee in a time when thou mayest be found: surely in the floods of great waters they shall not come nigh unto him.(KJV-1611) Psa 32:6 Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.(Creole-HT) ======= Psalm 32:7 ============ Psa 32:7 Thou art my hiding place; thou shalt preserve me from trouble; thou shalt compass me about with songs of deliverance. Selah.(KJV-1611) Psa 32:7 Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.(Creole-HT) ======= Psalm 32:8 ============ Psa 32:8 I will instruct thee and teach thee in the way which thou shalt go: I will guide thee with mine eye.(KJV-1611) Psa 32:8 Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 32:9 ============ Psa 32:9 Be ye not as the horse, or as the mule, which have no understanding: whose mouth must be held in with bit and bridle, lest they come near unto thee.(KJV-1611) Psa 32:9 Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.(Creole-HT) ======= Psalm 32:10 ============ Psa 32:10 Many sorrows shall be to the wicked: but he that trusteth in the LORD, mercy shall compass him about.(KJV-1611) Psa 32:10 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 32:11 ============ Psa 32:11 Be glad in the LORD, and rejoice, ye righteous: and shout for joy, all ye that are upright in heart.(KJV-1611) Psa 32:11 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 33:1 ============ Psa 33:1 Rejoice in the LORD, O ye righteous: for praise is comely for the upright.(KJV-1611) Psa 33:1 Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 33:2 ============ Psa 33:2 Praise the LORD with harp: sing unto him with the psaltery and an instrument of ten strings.(KJV-1611) Psa 33:2 Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 33:3 ============ Psa 33:3 Sing unto him a new song; play skilfully with a loud noise.(KJV-1611) Psa 33:3 Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.(Creole-HT) ======= Psalm 33:4 ============ Psa 33:4 For the word of the LORD is right; and all his works are done in truth.(KJV-1611) Psa 33:4 Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 33:5 ============ Psa 33:5 He loveth righteousness and judgment: the earth is full of the goodness of the LORD.(KJV-1611) Psa 33:5 Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 33:6 ============ Psa 33:6 By the word of the LORD were the heavens made; and all the host of them by the breath of his mouth.(KJV-1611) Psa 33:6 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 33:7 ============ Psa 33:7 He gathereth the waters of the sea together as an heap: he layeth up the depth in storehouses.(KJV-1611) Psa 33:7 Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 33:8 ============ Psa 33:8 Let all the earth fear the LORD: let all the inhabitants of the world stand in awe of him.(KJV-1611) Psa 33:8 Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 33:9 ============ Psa 33:9 For he spake, and it was done; he commanded, and it stood fast.(KJV-1611) Psa 33:9 Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 33:10 ============ Psa 33:10 The LORD bringeth the counsel of the heathen to nought: he maketh the devices of the people of none effect.(KJV-1611) Psa 33:10 Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.(Creole-HT) ======= Psalm 33:11 ============ Psa 33:11 The counsel of the LORD standeth for ever, the thoughts of his heart to all generations.(KJV-1611) Psa 33:11 Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 33:12 ============ Psa 33:12 Blessed is the nation whose God is the LORD; and the people whom he hath chosen for his own inheritance.(KJV-1611) Psa 33:12 Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!(Creole-HT) ======= Psalm 33:13 ============ Psa 33:13 The LORD looketh from heaven; he beholdeth all the sons of men.(KJV-1611) Psa 33:13 Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.(Creole-HT) ======= Psalm 33:14 ============ Psa 33:14 From the place of his habitation he looketh upon all the inhabitants of the earth.(KJV-1611) Psa 33:14 Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 33:15 ============ Psa 33:15 He fashioneth their hearts alike; he considereth all their works.(KJV-1611) Psa 33:15 Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 33:16 ============ Psa 33:16 There is no king saved by the multitude of an host: a mighty man is not delivered by much strength.(KJV-1611) Psa 33:16 Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 33:17 ============ Psa 33:17 An horse is a vain thing for safety: neither shall he deliver any by his great strength.(KJV-1611) Psa 33:17 Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.(Creole-HT) ======= Psalm 33:18 ============ Psa 33:18 Behold, the eye of the LORD is upon them that fear him, upon them that hope in his mercy;(KJV-1611) Psa 33:18 Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 33:19 ============ Psa 33:19 To deliver their soul from death, and to keep them alive in famine.(KJV-1611) Psa 33:19 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 33:20 ============ Psa 33:20 Our soul waiteth for the LORD: he is our help and our shield.(KJV-1611) Psa 33:20 Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.(Creole-HT) ======= Psalm 33:21 ============ Psa 33:21 For our heart shall rejoice in him, because we have trusted in his holy name.(KJV-1611) Psa 33:21 Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Psalm 33:22 ============ Psa 33:22 Let thy mercy, O LORD, be upon us, according as we hope in thee.(KJV-1611) Psa 33:22 Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 34:1 ============ Psa 34:1 I will bless the LORD at all times: his praise shall continually be in my mouth.(KJV-1611) Psa 34:1 Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 34:2 ============ Psa 34:2 My soul shall make her boast in the LORD: the humble shall hear thereof, and be glad.(KJV-1611) Psa 34:2 M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 34:3 ============ Psa 34:3 O magnify the LORD with me, and let us exalt his name together.(KJV-1611) Psa 34:3 Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!(Creole-HT) ======= Psalm 34:4 ============ Psa 34:4 I sought the LORD, and he heard me, and delivered me from all my fears.(KJV-1611) Psa 34:4 Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 34:5 ============ Psa 34:5 They looked unto him, and were lightened: and their faces were not ashamed.(KJV-1611) Psa 34:5 Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.(Creole-HT) ======= Psalm 34:6 ============ Psa 34:6 This poor man cried, and the LORD heard him, and saved him out of all his troubles.(KJV-1611) Psa 34:6 Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.(Creole-HT) ======= Psalm 34:7 ============ Psa 34:7 The angel of the LORD encampeth round about them that fear him, and delivereth them.(KJV-1611) Psa 34:7 Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.(Creole-HT) ======= Psalm 34:8 ============ Psa 34:8 O taste and see that the LORD is good: blessed is the man that trusteth in him.(KJV-1611) Psa 34:8 Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!(Creole-HT) ======= Psalm 34:9 ============ Psa 34:9 O fear the LORD, ye his saints: for there is no want to them that fear him.(KJV-1611) Psa 34:9 Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 34:10 ============ Psa 34:10 The young lions do lack, and suffer hunger: but they that seek the LORD shall not want any good thing.(KJV-1611) Psa 34:10 Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 34:11 ============ Psa 34:11 Come, ye children, hearken unto me: I will teach you the fear of the LORD.(KJV-1611) Psa 34:11 Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 34:12 ============ Psa 34:12 What man is he that desireth life, and loveth many days, that he may see good?(KJV-1611) Psa 34:12 Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?(Creole-HT) ======= Psalm 34:13 ============ Psa 34:13 Keep thy tongue from evil, and thy lips from speaking guile.(KJV-1611) Psa 34:13 Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 34:14 ============ Psa 34:14 Depart from evil, and do good; seek peace, and pursue it.(KJV-1611) Psa 34:14 Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.(Creole-HT) ======= Psalm 34:15 ============ Psa 34:15 The eyes of the LORD are upon the righteous, and his ears are open unto their cry.(KJV-1611) Psa 34:15 Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.(Creole-HT) ======= Psalm 34:16 ============ Psa 34:16 The face of the LORD is against them that do evil, to cut off the remembrance of them from the earth.(KJV-1611) Psa 34:16 Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.(Creole-HT) ======= Psalm 34:17 ============ Psa 34:17 The righteous cry, and the LORD heareth, and delivereth them out of all their troubles.(KJV-1611) Psa 34:17 Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.(Creole-HT) ======= Psalm 34:18 ============ Psa 34:18 The LORD is nigh unto them that are of a broken heart; and saveth such as be of a contrite spirit.(KJV-1611) Psa 34:18 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.(Creole-HT) ======= Psalm 34:19 ============ Psa 34:19 Many are the afflictions of the righteous: but the LORD delivereth him out of them all.(KJV-1611) Psa 34:19 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 34:20 ============ Psa 34:20 He keepeth all his bones: not one of them is broken.(KJV-1611) Psa 34:20 L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.(Creole-HT) ======= Psalm 34:21 ============ Psa 34:21 Evil shall slay the wicked: and they that hate the righteous shall be desolate.(KJV-1611) Psa 34:21 Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.(Creole-HT) ======= Psalm 34:22 ============ Psa 34:22 The LORD redeemeth the soul of his servants: and none of them that trust in him shall be desolate.(KJV-1611) Psa 34:22 Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.(Creole-HT) ======= Psalm 35:1 ============ Psa 35:1 Plead my cause, O LORD, with them that strive with me: fight against them that fight against me.(KJV-1611) Psa 35:1 Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:2 ============ Psa 35:2 Take hold of shield and buckler, and stand up for mine help.(KJV-1611) Psa 35:2 Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 35:3 ============ Psa 35:3 Draw out also the spear, and stop the way against them that persecute me: say unto my soul, I am thy salvation.(KJV-1611) Psa 35:3 Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 35:4 ============ Psa 35:4 Let them be confounded and put to shame that seek after my soul: let them be turned back and brought to confusion that devise my hurt.(KJV-1611) Psa 35:4 Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:5 ============ Psa 35:5 Let them be as chaff before the wind: and let the angel of the LORD chase them.(KJV-1611) Psa 35:5 Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:6 ============ Psa 35:6 Let their way be dark and slippery: and let the angel of the LORD persecute them.(KJV-1611) Psa 35:6 Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:7 ============ Psa 35:7 For without cause have they hid for me their net in a pit, which without cause they have digged for my soul.(KJV-1611) Psa 35:7 San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 35:8 ============ Psa 35:8 Let destruction come upon him at unawares; and let his net that he hath hid catch himself: into that very destruction let him fall.(KJV-1611) Psa 35:8 Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.(Creole-HT) ======= Psalm 35:9 ============ Psa 35:9 And my soul shall be joyful in the LORD: it shall rejoice in his salvation.(KJV-1611) Psa 35:9 Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 35:10 ============ Psa 35:10 All my bones shall say, LORD, who is like unto thee, which deliverest the poor from him that is too strong for him, yea, the poor and the needy from him that spoileth him?(KJV-1611) Psa 35:10 M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:11 ============ Psa 35:11 False witnesses did rise up; they laid to my charge things that I knew not.(KJV-1611) Psa 35:11 Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.(Creole-HT) ======= Psalm 35:12 ============ Psa 35:12 They rewarded me evil for good to the spoiling of my soul.(KJV-1611) Psa 35:12 Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.(Creole-HT) ======= Psalm 35:13 ============ Psa 35:13 But as for me, when they were sick, my clothing was sackcloth: I humbled my soul with fasting; and my prayer returned into mine own bosom.(KJV-1611) Psa 35:13 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,(Creole-HT) ======= Psalm 35:14 ============ Psa 35:14 I behaved myself as though he had been my friend or brother: I bowed down heavily, as one that mourneth for his mother.(KJV-1611) Psa 35:14 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'.(Creole-HT) ======= Psalm 35:15 ============ Psa 35:15 But in mine adversity they rejoiced, and gathered themselves together: yea, the abjects gathered themselves together against me, and I knew it not; they did tear me, and ceased not:(KJV-1611) Psa 35:15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.(Creole-HT) ======= Psalm 35:16 ============ Psa 35:16 With hypocritical mockers in feasts, they gnashed upon me with their teeth.(KJV-1611) Psa 35:16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 35:17 ============ Psa 35:17 Lord, how long wilt thou look on? rescue my soul from their destructions, my darling from the lions.(KJV-1611) Psa 35:17 Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 35:18 ============ Psa 35:18 I will give thee thanks in the great congregation: I will praise thee among much people.(KJV-1611) Psa 35:18 M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.(Creole-HT) ======= Psalm 35:19 ============ Psa 35:19 Let not them that are mine enemies wrongfully rejoice over me: neither let them wink with the eye that hate me without a cause.(KJV-1611) Psa 35:19 Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 35:20 ============ Psa 35:20 For they speak not peace: but they devise deceitful matters against them that are quiet in the land.(KJV-1611) Psa 35:20 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 35:21 ============ Psa 35:21 Yea, they opened their mouth wide against me, and said, Aha, aha, our eye hath seen it.(KJV-1611) Psa 35:21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!(Creole-HT) ======= Psalm 35:22 ============ Psa 35:22 This thou hast seen, O LORD: keep not silence: O Lord, be not far from me.(KJV-1611) Psa 35:22 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa.(Creole-HT) ======= Psalm 35:23 ============ Psa 35:23 Stir up thyself, and awake to my judgment, even unto my cause, my God and my Lord.(KJV-1611) Psa 35:23 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 35:24 ============ Psa 35:24 Judge me, O LORD my God, according to thy righteousness; and let them not rejoice over me.(KJV-1611) Psa 35:24 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 35:25 ============ Psa 35:25 Let them not say in their hearts, Ah, so would we have it: let them not say, We have swallowed him up.(KJV-1611) Psa 35:25 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!(Creole-HT) ======= Psalm 35:26 ============ Psa 35:26 Let them be ashamed and brought to confusion together that rejoice at mine hurt: let them be clothed with shame and dishonour that magnify themselves against me.(KJV-1611) Psa 35:26 Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!(Creole-HT) ======= Psalm 35:27 ============ Psa 35:27 Let them shout for joy, and be glad, that favour my righteous cause: yea, let them say continually, Let the LORD be magnified, which hath pleasure in the prosperity of his servant.(KJV-1611) Psa 35:27 Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Psalm 35:28 ============ Psa 35:28 And my tongue shall speak of thy righteousness and of thy praise all the day long.(KJV-1611) Psa 35:28 Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.(Creole-HT) ======= Psalm 36:1 ============ Psa 36:1 The transgression of the wicked saith within my heart, that there is no fear of God before his eyes.(KJV-1611) Psa 36:1 Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 36:2 ============ Psa 36:2 For he flattereth himself in his own eyes, until his iniquity be found to be hateful.(KJV-1611) Psa 36:2 Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 36:3 ============ Psa 36:3 The words of his mouth are iniquity and deceit: he hath left off to be wise, and to do good.(KJV-1611) Psa 36:3 Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.(Creole-HT) ======= Psalm 36:4 ============ Psa 36:4 He deviseth mischief upon his bed; he setteth himself in a way that is not good; he abhorreth not evil.(KJV-1611) Psa 36:4 Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 36:5 ============ Psa 36:5 Thy mercy, O LORD, is in the heavens; and thy faithfulness reacheth unto the clouds.(KJV-1611) Psa 36:5 Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 36:6 ============ Psa 36:6 Thy righteousness is like the great mountains; thy judgments are a great deep: O LORD, thou preservest man and beast.(KJV-1611) Psa 36:6 Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 36:7 ============ Psa 36:7 How excellent is thy lovingkindness, O God! therefore the children of men put their trust under the shadow of thy wings.(KJV-1611) Psa 36:7 Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 36:8 ============ Psa 36:8 They shall be abundantly satisfied with the fatness of thy house; and thou shalt make them drink of the river of thy pleasures.(KJV-1611) Psa 36:8 Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.(Creole-HT) ======= Psalm 36:9 ============ Psa 36:9 For with thee is the fountain of life: in thy light shall we see light.(KJV-1611) Psa 36:9 Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!(Creole-HT) ======= Psalm 36:10 ============ Psa 36:10 O continue thy lovingkindness unto them that know thee; and thy righteousness to the upright in heart.(KJV-1611) Psa 36:10 Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!(Creole-HT) ======= Psalm 36:11 ============ Psa 36:11 Let not the foot of pride come against me, and let not the hand of the wicked remove me.(KJV-1611) Psa 36:11 Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.(Creole-HT) ======= Psalm 36:12 ============ Psa 36:12 There are the workers of iniquity fallen: they are cast down, and shall not be able to rise.(KJV-1611) Psa 36:12 Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 37:1 ============ Psa 37:1 Fret not thyself because of evildoers, neither be thou envious against the workers of iniquity.(KJV-1611) Psa 37:1 Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!(Creole-HT) ======= Psalm 37:2 ============ Psa 37:2 For they shall soon be cut down like the grass, and wither as the green herb.(KJV-1611) Psa 37:2 Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.(Creole-HT) ======= Psalm 37:3 ============ Psa 37:3 Trust in the LORD, and do good; so shalt thou dwell in the land, and verily thou shalt be fed.(KJV-1611) Psa 37:3 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!(Creole-HT) ======= Psalm 37:4 ============ Psa 37:4 Delight thyself also in the LORD: and he shall give thee the desires of thine heart.(KJV-1611) Psa 37:4 Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.(Creole-HT) ======= Psalm 37:5 ============ Psa 37:5 Commit thy way unto the LORD; trust also in him; and he shall bring it to pass.(KJV-1611) Psa 37:5 Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.(Creole-HT) ======= Psalm 37:6 ============ Psa 37:6 And he shall bring forth thy righteousness as the light, and thy judgment as the noonday.(KJV-1611) Psa 37:6 L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.(Creole-HT) ======= Psalm 37:7 ============ Psa 37:7 Rest in the LORD, and wait patiently for him: fret not thyself because of him who prospereth in his way, because of the man who bringeth wicked devices to pass.(KJV-1611) Psa 37:7 Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:8 ============ Psa 37:8 Cease from anger, and forsake wrath: fret not thyself in any wise to do evil.(KJV-1611) Psa 37:8 Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 37:9 ============ Psa 37:9 For evildoers shall be cut off: but those that wait upon the LORD, they shall inherit the earth.(KJV-1611) Psa 37:9 Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:10 ============ Psa 37:10 For yet a little while, and the wicked shall not be: yea, thou shalt diligently consider his place, and it shall not be.(KJV-1611) Psa 37:10 Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:11 ============ Psa 37:11 But the meek shall inherit the earth; and shall delight themselves in the abundance of peace.(KJV-1611) Psa 37:11 Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.(Creole-HT) ======= Psalm 37:12 ============ Psa 37:12 The wicked plotteth against the just, and gnasheth upon him with his teeth.(KJV-1611) Psa 37:12 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:13 ============ Psa 37:13 The LORD shall laugh at him: for he seeth that his day is coming.(KJV-1611) Psa 37:13 Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 37:14 ============ Psa 37:14 The wicked have drawn out the sword, and have bent their bow, to cast down the poor and needy, and to slay such as be of upright conversation.(KJV-1611) Psa 37:14 Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:15 ============ Psa 37:15 Their sword shall enter into their own heart, and their bows shall be broken.(KJV-1611) Psa 37:15 Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:16 ============ Psa 37:16 A little that a righteous man hath is better than the riches of many wicked.(KJV-1611) Psa 37:16 Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 37:17 ============ Psa 37:17 For the arms of the wicked shall be broken: but the LORD upholdeth the righteous.(KJV-1611) Psa 37:17 Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Psalm 37:18 ============ Psa 37:18 The LORD knoweth the days of the upright: and their inheritance shall be for ever.(KJV-1611) Psa 37:18 Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 37:19 ============ Psa 37:19 They shall not be ashamed in the evil time: and in the days of famine they shall be satisfied.(KJV-1611) Psa 37:19 Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 37:20 ============ Psa 37:20 But the wicked shall perish, and the enemies of the LORD shall be as the fat of lambs: they shall consume; into smoke shall they consume away.(KJV-1611) Psa 37:20 Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.(Creole-HT) ======= Psalm 37:21 ============ Psa 37:21 The wicked borroweth, and payeth not again: but the righteous sheweth mercy, and giveth.(KJV-1611) Psa 37:21 Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.(Creole-HT) ======= Psalm 37:22 ============ Psa 37:22 For such as be blessed of him shall inherit the earth; and they that be cursed of him shall be cut off.(KJV-1611) Psa 37:22 Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 37:23 ============ Psa 37:23 The steps of a good man are ordered by the LORD: and he delighteth in his way.(KJV-1611) Psa 37:23 Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.(Creole-HT) ======= Psalm 37:24 ============ Psa 37:24 Though he fall, he shall not be utterly cast down: for the LORD upholdeth him with his hand.(KJV-1611) Psa 37:24 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.(Creole-HT) ======= Psalm 37:25 ============ Psa 37:25 I have been young, and now am old; yet have I not seen the righteous forsaken, nor his seed begging bread.(KJV-1611) Psa 37:25 Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.(Creole-HT) ======= Psalm 37:26 ============ Psa 37:26 He is ever merciful, and lendeth; and his seed is blessed.(KJV-1611) Psa 37:26 Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.(Creole-HT) ======= Psalm 37:27 ============ Psa 37:27 Depart from evil, and do good; and dwell for evermore.(KJV-1611) Psa 37:27 Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.(Creole-HT) ======= Psalm 37:28 ============ Psa 37:28 For the LORD loveth judgment, and forsaketh not his saints; they are preserved for ever: but the seed of the wicked shall be cut off.(KJV-1611) Psa 37:28 Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.(Creole-HT) ======= Psalm 37:29 ============ Psa 37:29 The righteous shall inherit the land, and dwell therein for ever.(KJV-1611) Psa 37:29 Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 37:30 ============ Psa 37:30 The mouth of the righteous speaketh wisdom, and his tongue talketh of judgment.(KJV-1611) Psa 37:30 Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Psalm 37:31 ============ Psa 37:31 The law of his God is in his heart; none of his steps shall slide.(KJV-1611) Psa 37:31 Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.(Creole-HT) ======= Psalm 37:32 ============ Psa 37:32 The wicked watcheth the righteous, and seeketh to slay him.(KJV-1611) Psa 37:32 Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.(Creole-HT) ======= Psalm 37:33 ============ Psa 37:33 The LORD will not leave him in his hand, nor condemn him when he is judged.(KJV-1611) Psa 37:33 Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.(Creole-HT) ======= Psalm 37:34 ============ Psa 37:34 Wait on the LORD, and keep his way, and he shall exalt thee to inherit the land: when the wicked are cut off, thou shalt see it.(KJV-1611) Psa 37:34 Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 37:35 ============ Psa 37:35 I have seen the wicked in great power, and spreading himself like a green bay tree.(KJV-1611) Psa 37:35 Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.(Creole-HT) ======= Psalm 37:36 ============ Psa 37:36 Yet he passed away, and, lo, he was not: yea, I sought him, but he could not be found.(KJV-1611) Psa 37:36 Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 37:37 ============ Psa 37:37 Mark the perfect man, and behold the upright: for the end of that man is peace.(KJV-1611) Psa 37:37 Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.(Creole-HT) ======= Psalm 37:38 ============ Psa 37:38 But the transgressors shall be destroyed together: the end of the wicked shall be cut off.(KJV-1611) Psa 37:38 Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.(Creole-HT) ======= Psalm 37:39 ============ Psa 37:39 But the salvation of the righteous is of the LORD: he is their strength in the time of trouble.(KJV-1611) Psa 37:39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.(Creole-HT) ======= Psalm 37:40 ============ Psa 37:40 And the LORD shall help them, and deliver them: he shall deliver them from the wicked, and save them, because they trust in him.(KJV-1611) Psa 37:40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 38:1 ============ Psa 38:1 O lord, rebuke me not in thy wrath: neither chasten me in thy hot displeasure.(KJV-1611) Psa 38:1 Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!(Creole-HT) ======= Psalm 38:2 ============ Psa 38:2 For thine arrows stick fast in me, and thy hand presseth me sore.(KJV-1611) Psa 38:2 Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.(Creole-HT) ======= Psalm 38:3 ============ Psa 38:3 There is no soundness in my flesh because of thine anger; neither is there any rest in my bones because of my sin.(KJV-1611) Psa 38:3 Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.(Creole-HT) ======= Psalm 38:4 ============ Psa 38:4 For mine iniquities are gone over mine head: as an heavy burden they are too heavy for me.(KJV-1611) Psa 38:4 Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 38:5 ============ Psa 38:5 My wounds stink and are corrupt because of my foolishness.(KJV-1611) Psa 38:5 Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.(Creole-HT) ======= Psalm 38:6 ============ Psa 38:6 I am troubled; I am bowed down greatly; I go mourning all the day long.(KJV-1611) Psa 38:6 Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.(Creole-HT) ======= Psalm 38:7 ============ Psa 38:7 For my loins are filled with a loathsome disease: and there is no soundness in my flesh.(KJV-1611) Psa 38:7 Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'(Creole-HT) ======= Psalm 38:8 ============ Psa 38:8 I am feeble and sore broken: I have roared by reason of the disquietness of my heart.(KJV-1611) Psa 38:8 Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.(Creole-HT) ======= Psalm 38:9 ============ Psa 38:9 Lord, all my desire is before thee; and my groaning is not hid from thee.(KJV-1611) Psa 38:9 Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.(Creole-HT) ======= Psalm 38:10 ============ Psa 38:10 My heart panteth, my strength faileth me: as for the light of mine eyes, it also is gone from me.(KJV-1611) Psa 38:10 Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!(Creole-HT) ======= Psalm 38:11 ============ Psa 38:11 My lovers and my friends stand aloof from my sore; and my kinsmen stand afar off.(KJV-1611) Psa 38:11 Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 38:12 ============ Psa 38:12 They also that seek after my life lay snares for me: and they that seek my hurt speak mischievous things, and imagine deceits all the day long.(KJV-1611) Psa 38:12 Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 38:13 ============ Psa 38:13 But I, as a deaf man, heard not; and I was as a dumb man that openeth not his mouth.(KJV-1611) Psa 38:13 Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.(Creole-HT) ======= Psalm 38:14 ============ Psa 38:14 Thus I was as a man that heareth not, and in whose mouth are no reproofs.(KJV-1611) Psa 38:14 Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.(Creole-HT) ======= Psalm 38:15 ============ Psa 38:15 For in thee, O LORD, do I hope: thou wilt hear, O Lord my God.(KJV-1611) Psa 38:15 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 38:16 ============ Psa 38:16 For I said, Hear me, lest otherwise they should rejoice over me: when my foot slippeth, they magnify themselves against me.(KJV-1611) Psa 38:16 Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.(Creole-HT) ======= Psalm 38:17 ============ Psa 38:17 For I am ready to halt, and my sorrow is continually before me.(KJV-1611) Psa 38:17 Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 38:18 ============ Psa 38:18 For I will declare mine iniquity; I will be sorry for my sin.(KJV-1611) Psa 38:18 Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 38:19 ============ Psa 38:19 But mine enemies are lively, and they are strong: and they that hate me wrongfully are multiplied.(KJV-1611) Psa 38:19 Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 38:20 ============ Psa 38:20 They also that render evil for good are mine adversaries; because I follow the thing that good is.(KJV-1611) Psa 38:20 Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.(Creole-HT) ======= Psalm 38:21 ============ Psa 38:21 Forsake me not, O LORD: O my God, be not far from me.(KJV-1611) Psa 38:21 Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!(Creole-HT) ======= Psalm 38:22 ============ Psa 38:22 Make haste to help me, O Lord my salvation.(KJV-1611) Psa 38:22 Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 39:1 ============ Psa 39:1 I said, I will take heed to my ways, that I sin not with my tongue: I will keep my mouth with a bridle, while the wicked is before me.(KJV-1611) Psa 39:1 Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 39:2 ============ Psa 39:2 I was dumb with silence, I held my peace, even from good; and my sorrow was stirred.(KJV-1611) Psa 39:2 Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.(Creole-HT) ======= Psalm 39:3 ============ Psa 39:3 My heart was hot within me, while I was musing the fire burned: then spake I with my tongue,(KJV-1611) Psa 39:3 Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:(Creole-HT) ======= Psalm 39:4 ============ Psa 39:4 LORD, make me to know mine end, and the measure of my days, what it is: that I may know how frail I am.(KJV-1611) Psa 39:4 Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 39:5 ============ Psa 39:5 Behold, thou hast made my days as an handbreadth; and mine age is as nothing before thee: verily every man at his best state is altogether vanity. Selah.(KJV-1611) Psa 39:5 Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 39:6 ============ Psa 39:6 Surely every man walketh in a vain shew: surely they are disquieted in vain: he heapeth up riches, and knoweth not who shall gather them.(KJV-1611) Psa 39:6 Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 39:7 ============ Psa 39:7 And now, Lord, what wait I for? my hope is in thee.(KJV-1611) Psa 39:7 Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!(Creole-HT) ======= Psalm 39:8 ============ Psa 39:8 Deliver me from all my transgressions: make me not the reproach of the foolish.(KJV-1611) Psa 39:8 Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.(Creole-HT) ======= Psalm 39:9 ============ Psa 39:9 I was dumb, I opened not my mouth; because thou didst it.(KJV-1611) Psa 39:9 M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.(Creole-HT) ======= Psalm 39:10 ============ Psa 39:10 Remove thy stroke away from me: I am consumed by the blow of thine hand.(KJV-1611) Psa 39:10 Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 39:11 ============ Psa 39:11 When thou with rebukes dost correct man for iniquity, thou makest his beauty to consume away like a moth: surely every man is vanity. Selah.(KJV-1611) Psa 39:11 Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 39:12 ============ Psa 39:12 Hear my prayer, O LORD, and give ear unto my cry; hold not thy peace at my tears: for I am a stranger with thee, and a sojourner, as all my fathers were.(KJV-1611) Psa 39:12 Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.(Creole-HT) ======= Psalm 39:13 ============ Psa 39:13 O spare me, that I may recover strength, before I go hence, and be no more.(KJV-1611) Psa 39:13 Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 40:1 ============ Psa 40:1 I waited patiently for the LORD; and he inclined unto me, and heard my cry.(KJV-1611) Psa 40:1 Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele.(Creole-HT) ======= Psalm 40:2 ============ Psa 40:2 He brought me up also out of an horrible pit, out of the miry clay, and set my feet upon a rock, and established my goings.(KJV-1611) Psa 40:2 Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 40:3 ============ Psa 40:3 And he hath put a new song in my mouth, even praise unto our God: many shall see it, and fear, and shall trust in the LORD.(KJV-1611) Psa 40:3 Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 40:4 ============ Psa 40:4 Blessed is that man that maketh the LORD his trust, and respecteth not the proud, nor such as turn aside to lies.(KJV-1611) Psa 40:4 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!(Creole-HT) ======= Psalm 40:5 ============ Psa 40:5 Many, O LORD my God, are thy wonderful works which thou hast done, and thy thoughts which are to us-ward: they cannot be reckoned up in order unto thee: if I would declare and speak of them, they are more than can be numbered.(KJV-1611) Psa 40:5 Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.(Creole-HT) ======= Psalm 40:6 ============ Psa 40:6 Sacrifice and offering thou didst not desire; mine ears hast thou opened: burnt offering and sin offering hast thou not required.(KJV-1611) Psa 40:6 Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.(Creole-HT) ======= Psalm 40:7 ============ Psa 40:7 Then said I, Lo, I come: in the volume of the book it is written of me,(KJV-1611) Psa 40:7 Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.(Creole-HT) ======= Psalm 40:8 ============ Psa 40:8 I delight to do thy will, O my God: yea, thy law is within my heart.(KJV-1611) Psa 40:8 Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m'(Creole-HT) ======= Psalm 40:9 ============ Psa 40:9 I have preached righteousness in the great congregation: lo, I have not refrained my lips, O LORD, thou knowest.(KJV-1611) Psa 40:9 Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.(Creole-HT) ======= Psalm 40:10 ============ Psa 40:10 I have not hid thy righteousness within my heart; I have declared thy faithfulness and thy salvation: I have not concealed thy lovingkindness and thy truth from the great congregation.(KJV-1611) Psa 40:10 Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 40:11 ============ Psa 40:11 Withhold not thou thy tender mercies from me, O LORD: let thy lovingkindness and thy truth continually preserve me.(KJV-1611) Psa 40:11 Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'.(Creole-HT) ======= Psalm 40:12 ============ Psa 40:12 For innumerable evils have compassed me about: mine iniquities have taken hold upon me, so that I am not able to look up; they are more than the hairs of mine head: therefore my heart faileth me.(KJV-1611) Psa 40:12 Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 40:13 ============ Psa 40:13 Be pleased, O LORD, to deliver me: O LORD, make haste to help me.(KJV-1611) Psa 40:13 Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.(Creole-HT) ======= Psalm 40:14 ============ Psa 40:14 Let them be ashamed and confounded together that seek after my soul to destroy it; let them be driven backward and put to shame that wish me evil.(KJV-1611) Psa 40:14 Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 40:15 ============ Psa 40:15 Let them be desolate for a reward of their shame that say unto me, Aha, aha.(KJV-1611) Psa 40:15 Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 40:16 ============ Psa 40:16 Let all those that seek thee rejoice and be glad in thee: let such as love thy salvation say continually, The LORD be magnified.(KJV-1611) Psa 40:16 Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 40:17 ============ Psa 40:17 But I am poor and needy; yet the Lord thinketh upon me: thou art my help and my deliverer; make no tarrying, O my God.(KJV-1611) Psa 40:17 Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!(Creole-HT) ======= Psalm 41:1 ============ Psa 41:1 Blessed is he that considereth the poor: the LORD will deliver him in time of trouble.(KJV-1611) Psa 41:1 Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray.(Creole-HT) ======= Psalm 41:2 ============ Psa 41:2 The LORD will preserve him, and keep him alive; and he shall be blessed upon the earth: and thou wilt not deliver him unto the will of his enemies.(KJV-1611) Psa 41:2 Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'.(Creole-HT) ======= Psalm 41:3 ============ Psa 41:3 The LORD will strengthen him upon the bed of languishing: thou wilt make all his bed in his sickness.(KJV-1611) Psa 41:3 Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche.(Creole-HT) ======= Psalm 41:4 ============ Psa 41:4 I said, LORD, be merciful unto me: heal my soul; for I have sinned against thee.(KJV-1611) Psa 41:4 Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.(Creole-HT) ======= Psalm 41:5 ============ Psa 41:5 Mine enemies speak evil of me, When shall he die, and his name perish?(KJV-1611) Psa 41:5 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?(Creole-HT) ======= Psalm 41:6 ============ Psa 41:6 And if he come to see me, he speaketh vanity: his heart gathereth iniquity to itself; when he goeth abroad, he telleth it.(KJV-1611) Psa 41:6 Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 41:7 ============ Psa 41:7 All that hate me whisper together against me: against me do they devise my hurt.(KJV-1611) Psa 41:7 Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 41:8 ============ Psa 41:8 An evil disease, say they, cleaveth fast unto him: and now that he lieth he shall rise up no more.(KJV-1611) Psa 41:8 Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 41:9 ============ Psa 41:9 Yea, mine own familiar friend, in whom I trusted, which did eat of my bread, hath lifted up his heel against me.(KJV-1611) Psa 41:9 Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 41:10 ============ Psa 41:10 But thou, O LORD, be merciful unto me, and raise me up, that I may requite them.(KJV-1611) Psa 41:10 Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite.(Creole-HT) ======= Psalm 41:11 ============ Psa 41:11 By this I know that thou favourest me, because mine enemy doth not triumph over me.(KJV-1611) Psa 41:11 M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'.(Creole-HT) ======= Psalm 41:12 ============ Psa 41:12 And as for me, thou upholdest me in mine integrity, and settest me before thy face for ever.(KJV-1611) Psa 41:12 Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 41:13 ============ Psa 41:13 Blessed be the LORD God of Israel from everlasting, and to everlasting. Amen, and Amen.(KJV-1611) Psa 41:13 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!(Creole-HT) ======= Psalm 42:1 ============ Psa 42:1 As the hart panteth after the water brooks, so panteth my soul after thee, O God.(KJV-1611) Psa 42:1 Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 42:2 ============ Psa 42:2 My soul thirsteth for God, for the living God: when shall I come and appear before God?(KJV-1611) Psa 42:2 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?(Creole-HT) ======= Psalm 42:3 ============ Psa 42:3 My tears have been my meat day and night, while they continually say unto me, Where is thy God?(KJV-1611) Psa 42:3 Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki soti nan je m' ki sèvi m' manje. Se tout tan moun ap mande m': -Kote Bondye ou la?(Creole-HT) ======= Psalm 42:4 ============ Psa 42:4 When I remember these things, I pour out my soul in me: for I had gone with the multitude, I went with them to the house of God, with the voice of joy and praise, with a multitude that kept holyday.(KJV-1611) Psa 42:4 Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 42:5 ============ Psa 42:5 Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted in me? hope thou in God: for I shall yet praise him for the help of his countenance.(KJV-1611) Psa 42:5 Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 42:6 ============ Psa 42:6 O my God, my soul is cast down within me: therefore will I remember thee from the land of Jordan, and of the Hermonites, from the hill Mizar.(KJV-1611) Psa 42:6 Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 42:7 ============ Psa 42:7 Deep calleth unto deep at the noise of thy waterspouts: all thy waves and thy billows are gone over me.(KJV-1611) Psa 42:7 Yon lanm lanmè rale yon lòt lanm lanmè dèyè l' lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo ap pase sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 42:8 ============ Psa 42:8 Yet the LORD will command his lovingkindness in the day time, and in the night his song shall be with me, and my prayer unto the God of my life.(KJV-1611) Psa 42:8 Lajounen Seyè a fè m' anpil favè. Lannwit mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 42:9 ============ Psa 42:9 I will say unto God my rock, Why hast thou forgotten me? why go I mourning because of the oppression of the enemy?(KJV-1611) Psa 42:9 Mwen di Bondye ki twou wòch kote pou m' kache a: -Poukisa ou bliye m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?(Creole-HT) ======= Psalm 42:10 ============ Psa 42:10 As with a sword in my bones, mine enemies reproach me; while they say daily unto me, Where is thy God?(KJV-1611) Psa 42:10 Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?(Creole-HT) ======= Psalm 42:11 ============ Psa 42:11 Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted within me? hope thou in God: for I shall yet praise him, who is the health of my countenance, and my God.(KJV-1611) Psa 42:11 Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 43:1 ============ Psa 43:1 Judge me, O God, and plead my cause against an ungodly nation: O deliver me from the deceitful and unjust man.(KJV-1611) Psa 43:1 Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.(Creole-HT) ======= Psalm 43:2 ============ Psa 43:2 For thou art the God of my strength: why dost thou cast me off? why go I mourning because of the oppression of the enemy?(KJV-1611) Psa 43:2 Se ou ki Bondye mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Poukisa ou lage m' konsa? Poukisa pou m'ap viv ak tout lapenn sa a nan kè m', lè lènmi m' yo ap kraze m' anba pye yo?(Creole-HT) ======= Psalm 43:3 ============ Psa 43:3 O send out thy light and thy truth: let them lead me; let them bring me unto thy holy hill, and to thy tabernacles.(KJV-1611) Psa 43:3 Voye limyè ou, moutre m' verite ou la. Fè yo fè m' wè chemen pou m' pran an. Fè yo mennen m' sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.(Creole-HT) ======= Psalm 43:4 ============ Psa 43:4 Then will I go unto the altar of God, unto God my exceeding joy: yea, upon the harp will I praise thee, O God my God.(KJV-1611) Psa 43:4 Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.(Creole-HT) ======= Psalm 43:5 ============ Psa 43:5 Why art thou cast down, O my soul? and why art thou disquieted within me? hope in God: for I shall yet praise him, who is the health of my countenance, and my God.(KJV-1611) Psa 43:5 Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 44:1 ============ Psa 44:1 We have heard with our ears, O God, our fathers have told us, what work thou didst in their days, in the times of old.(KJV-1611) Psa 44:1 Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 44:2 ============ Psa 44:2 How thou didst drive out the heathen with thy hand, and plantedst them; how thou didst afflict the people, and cast them out.(KJV-1611) Psa 44:2 Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 44:3 ============ Psa 44:3 For they got not the land in possession by their own sword, neither did their own arm save them: but thy right hand, and thine arm, and the light of thy countenance, because thou hadst a favour unto them.(KJV-1611) Psa 44:3 Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 44:4 ============ Psa 44:4 Thou art my King, O God: command deliverances for Jacob.(KJV-1611) Psa 44:4 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Psalm 44:5 ============ Psa 44:5 Through thee will we push down our enemies: through thy name will we tread them under that rise up against us.(KJV-1611) Psa 44:5 Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 44:6 ============ Psa 44:6 For I will not trust in my bow, neither shall my sword save me.(KJV-1611) Psa 44:6 Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 44:7 ============ Psa 44:7 But thou hast saved us from our enemies, and hast put them to shame that hated us.(KJV-1611) Psa 44:7 Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 44:8 ============ Psa 44:8 In God we boast all the day long, and praise thy name for ever. Selah.(KJV-1611) Psa 44:8 Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 44:9 ============ Psa 44:9 But thou hast cast off, and put us to shame; and goest not forth with our armies.(KJV-1611) Psa 44:9 Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 44:10 ============ Psa 44:10 Thou makest us to turn back from the enemy: and they which hate us spoil for themselves.(KJV-1611) Psa 44:10 Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.(Creole-HT) ======= Psalm 44:11 ============ Psa 44:11 Thou hast given us like sheep appointed for meat; and hast scattered us among the heathen.(KJV-1611) Psa 44:11 Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 44:12 ============ Psa 44:12 Thou sellest thy people for nought, and dost not increase thy wealth by their price.(KJV-1611) Psa 44:12 Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.(Creole-HT) ======= Psalm 44:13 ============ Psa 44:13 Thou makest us a reproach to our neighbours, a scorn and a derision to them that are round about us.(KJV-1611) Psa 44:13 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 44:14 ============ Psa 44:14 Thou makest us a byword among the heathen, a shaking of the head among the people.(KJV-1611) Psa 44:14 Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 44:15 ============ Psa 44:15 My confusion is continually before me, and the shame of my face hath covered me,(KJV-1611) Psa 44:15 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Psalm 44:16 ============ Psa 44:16 For the voice of him that reproacheth and blasphemeth; by reason of the enemy and avenger.(KJV-1611) Psa 44:16 Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 44:17 ============ Psa 44:17 All this is come upon us; yet have we not forgotten thee, neither have we dealt falsely in thy covenant.(KJV-1611) Psa 44:17 Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.(Creole-HT) ======= Psalm 44:18 ============ Psa 44:18 Our heart is not turned back, neither have our steps declined from thy way;(KJV-1611) Psa 44:18 Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.(Creole-HT) ======= Psalm 44:19 ============ Psa 44:19 Though thou hast sore broken us in the place of dragons, and covered us with the shadow of death.(KJV-1611) Psa 44:19 Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.(Creole-HT) ======= Psalm 44:20 ============ Psa 44:20 If we have forgotten the name of our God, or stretched out our hands to a strange god;(KJV-1611) Psa 44:20 Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,(Creole-HT) ======= Psalm 44:21 ============ Psa 44:21 Shall not God search this out? for he knoweth the secrets of the heart.(KJV-1611) Psa 44:21 èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?(Creole-HT) ======= Psalm 44:22 ============ Psa 44:22 Yea, for thy sake are we killed all the day long; we are counted as sheep for the slaughter.(KJV-1611) Psa 44:22 Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.(Creole-HT) ======= Psalm 44:23 ============ Psa 44:23 Awake, why sleepest thou, O Lord? arise, cast us not off for ever.(KJV-1611) Psa 44:23 Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!(Creole-HT) ======= Psalm 44:24 ============ Psa 44:24 Wherefore hidest thou thy face, and forgettest our affliction and our oppression?(KJV-1611) Psa 44:24 Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?(Creole-HT) ======= Psalm 44:25 ============ Psa 44:25 For our soul is bowed down to the dust: our belly cleaveth unto the earth.(KJV-1611) Psa 44:25 Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.(Creole-HT) ======= Psalm 44:26 ============ Psa 44:26 Arise for our help, and redeem us for thy mercies' sake.(KJV-1611) Psa 44:26 Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!(Creole-HT) ======= Psalm 45:1 ============ Psa 45:1 My heart is inditing a good matter: I speak of the things which I have made touching the king: my tongue is the pen of a ready writer.(KJV-1611) Psa 45:1 Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.(Creole-HT) ======= Psalm 45:2 ============ Psa 45:2 Thou art fairer than the children of men: grace is poured into thy lips: therefore God hath blessed thee for ever.(KJV-1611) Psa 45:2 Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.(Creole-HT) ======= Psalm 45:3 ============ Psa 45:3 Gird thy sword upon thy thigh, O most mighty, with thy glory and thy majesty.(KJV-1611) Psa 45:3 Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 45:4 ============ Psa 45:4 And in thy majesty ride prosperously because of truth and meekness and righteousness; and thy right hand shall teach thee terrible things.(KJV-1611) Psa 45:4 Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.(Creole-HT) ======= Psalm 45:5 ============ Psa 45:5 Thine arrows are sharp in the heart of the king's enemies; whereby the people fall under thee.(KJV-1611) Psa 45:5 Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.(Creole-HT) ======= Psalm 45:6 ============ Psa 45:6 Thy throne, O God, is for ever and ever: the sceptre of thy kingdom is a right sceptre.(KJV-1611) Psa 45:6 Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 45:7 ============ Psa 45:7 Thou lovest righteousness, and hatest wickedness: therefore God, thy God, hath anointed thee with the oil of gladness above thy fellows.(KJV-1611) Psa 45:7 Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 45:8 ============ Psa 45:8 All thy garments smell of myrrh, and aloes, and cassia, out of the ivory palaces, whereby they have made thee glad.(KJV-1611) Psa 45:8 Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 45:9 ============ Psa 45:9 Kings' daughters were among thy honourable women: upon thy right hand did stand the queen in gold of Ophir.(KJV-1611) Psa 45:9 Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.(Creole-HT) ======= Psalm 45:10 ============ Psa 45:10 Hearken, O daughter, and consider, and incline thine ear; forget also thine own people, and thy father's house;(KJV-1611) Psa 45:10 Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 45:11 ============ Psa 45:11 So shall the king greatly desire thy beauty: for he is thy Lord; and worship thou him.(KJV-1611) Psa 45:11 Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.(Creole-HT) ======= Psalm 45:12 ============ Psa 45:12 And the daughter of Tyre shall be there with a gift; even the rich among the people shall intreat thy favour.(KJV-1611) Psa 45:12 Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.(Creole-HT) ======= Psalm 45:13 ============ Psa 45:13 The king's daughter is all glorious within: her clothing is of wrought gold.(KJV-1611) Psa 45:13 Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.(Creole-HT) ======= Psalm 45:14 ============ Psa 45:14 She shall be brought unto the king in raiment of needlework: the virgins her companions that follow her shall be brought unto thee.(KJV-1611) Psa 45:14 Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.(Creole-HT) ======= Psalm 45:15 ============ Psa 45:15 With gladness and rejoicing shall they be brought: they shall enter into the king's palace.(KJV-1611) Psa 45:15 Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.(Creole-HT) ======= Psalm 45:16 ============ Psa 45:16 Instead of thy fathers shall be thy children, whom thou mayest make princes in all the earth.(KJV-1611) Psa 45:16 Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè.(Creole-HT) ======= Psalm 45:17 ============ Psa 45:17 I will make thy name to be remembered in all generations: therefore shall the people praise thee for ever and ever.(KJV-1611) Psa 45:17 Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 46:1 ============ Psa 46:1 God is our refuge and strength, a very present help in trouble.(KJV-1611) Psa 46:1 Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(Creole-HT) ======= Psalm 46:2 ============ Psa 46:2 Therefore will not we fear, though the earth be removed, and though the mountains be carried into the midst of the sea;(KJV-1611) Psa 46:2 Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 46:3 ============ Psa 46:3 Though the waters thereof roar and be troubled, though the mountains shake with the swelling thereof. Selah.(KJV-1611) Psa 46:3 Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Psalm 46:4 ============ Psa 46:4 There is a river, the streams whereof shall make glad the city of God, the holy place of the tabernacles of the most High.(KJV-1611) Psa 46:4 Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 46:5 ============ Psa 46:5 God is in the midst of her; she shall not be moved: God shall help her, and that right early.(KJV-1611) Psa 46:5 Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 46:6 ============ Psa 46:6 The heathen raged, the kingdoms were moved: he uttered his voice, the earth melted.(KJV-1611) Psa 46:6 Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.(Creole-HT) ======= Psalm 46:7 ============ Psa 46:7 The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.(KJV-1611) Psa 46:7 Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.(Creole-HT) ======= Psalm 46:8 ============ Psa 46:8 Come, behold the works of the LORD, what desolations he hath made in the earth.(KJV-1611) Psa 46:8 Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!(Creole-HT) ======= Psalm 46:9 ============ Psa 46:9 He maketh wars to cease unto the end of the earth; he breaketh the bow, and cutteth the spear in sunder; he burneth the chariot in the fire.(KJV-1611) Psa 46:9 Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 46:10 ============ Psa 46:10 Be still, and know that I am God: I will be exalted among the heathen, I will be exalted in the earth.(KJV-1611) Psa 46:10 Li di: -Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap dominen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap dominen sou tout latè.(Creole-HT) ======= Psalm 46:11 ============ Psa 46:11 The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.(KJV-1611) Psa 46:11 Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!(Creole-HT) ======= Psalm 47:1 ============ Psa 47:1 O clap your hands, all ye people; shout unto God with the voice of triumph.(KJV-1611) Psa 47:1 Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!(Creole-HT) ======= Psalm 47:2 ============ Psa 47:2 For the LORD most high is terrible; he is a great King over all the earth.(KJV-1611) Psa 47:2 Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.(Creole-HT) ======= Psalm 47:3 ============ Psa 47:3 He shall subdue the people under us, and the nations under our feet.(KJV-1611) Psa 47:3 Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.(Creole-HT) ======= Psalm 47:4 ============ Psa 47:4 He shall choose our inheritance for us, the excellency of Jacob whom he loved. Selah.(KJV-1611) Psa 47:4 Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.(Creole-HT) ======= Psalm 47:5 ============ Psa 47:5 God is gone up with a shout, the LORD with the sound of a trumpet.(KJV-1611) Psa 47:5 Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 47:6 ============ Psa 47:6 Sing praises to God, sing praises: sing praises unto our King, sing praises.(KJV-1611) Psa 47:6 Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 47:7 ============ Psa 47:7 For God is the King of all the earth: sing ye praises with understanding.(KJV-1611) Psa 47:7 Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!(Creole-HT) ======= Psalm 47:8 ============ Psa 47:8 God reigneth over the heathen: God sitteth upon the throne of his holiness.(KJV-1611) Psa 47:8 Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Psalm 47:9 ============ Psa 47:9 The princes of the people are gathered together, even the people of the God of Abraham: for the shields of the earth belong unto God: he is greatly exalted.(KJV-1611) Psa 47:9 Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 48:1 ============ Psa 48:1 Great is the LORD, and greatly to be praised in the city of our God, in the mountain of his holiness.(KJV-1611) Psa 48:1 Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Psalm 48:2 ============ Psa 48:2 Beautiful for situation, the joy of the whole earth, is mount Zion, on the sides of the north, the city of the great King.(KJV-1611) Psa 48:2 Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.(Creole-HT) ======= Psalm 48:3 ============ Psa 48:3 God is known in her palaces for a refuge.(KJV-1611) Psa 48:3 Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.(Creole-HT) ======= Psalm 48:4 ============ Psa 48:4 For, lo, the kings were assembled, they passed by together.(KJV-1611) Psa 48:4 Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.(Creole-HT) ======= Psalm 48:5 ============ Psa 48:5 They saw it, and so they marvelled; they were troubled, and hasted away.(KJV-1611) Psa 48:5 Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Psalm 48:6 ============ Psa 48:6 Fear took hold upon them there, and pain, as of a woman in travail.(KJV-1611) Psa 48:6 Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,(Creole-HT) ======= Psalm 48:7 ============ Psa 48:7 Thou breakest the ships of Tarshish with an east wind.(KJV-1611) Psa 48:7 tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.(Creole-HT) ======= Psalm 48:8 ============ Psa 48:8 As we have heard, so have we seen in the city of the LORD of hosts, in the city of our God: God will establish it for ever. Selah.(KJV-1611) Psa 48:8 Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.(Creole-HT) ======= Psalm 48:9 ============ Psa 48:9 We have thought of thy lovingkindness, O God, in the midst of thy temple.(KJV-1611) Psa 48:9 Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 48:10 ============ Psa 48:10 According to thy name, O God, so is thy praise unto the ends of the earth: thy right hand is full of righteousness.(KJV-1611) Psa 48:10 Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.(Creole-HT) ======= Psalm 48:11 ============ Psa 48:11 Let mount Zion rejoice, let the daughters of Judah be glad, because of thy judgments.(KJV-1611) Psa 48:11 Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.(Creole-HT) ======= Psalm 48:12 ============ Psa 48:12 Walk about Zion, and go round about her: tell the towers thereof.(KJV-1611) Psa 48:12 Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.(Creole-HT) ======= Psalm 48:13 ============ Psa 48:13 Mark ye well her bulwarks, consider her palaces; that ye may tell it to the generation following.(KJV-1611) Psa 48:13 Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen(Creole-HT) ======= Psalm 48:14 ============ Psa 48:14 For this God is our God for ever and ever: he will be our guide even unto death.(KJV-1611) Psa 48:14 se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Psalm 49:1 ============ Psa 49:1 Hear this, all ye people; give ear, all ye inhabitants of the world:(KJV-1611) Psa 49:1 Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,(Creole-HT) ======= Psalm 49:2 ============ Psa 49:2 Both low and high, rich and poor, together.(KJV-1611) Psa 49:2 gran kou piti, rich kou pòv.(Creole-HT) ======= Psalm 49:3 ============ Psa 49:3 My mouth shall speak of wisdom; and the meditation of my heart shall be of understanding.(KJV-1611) Psa 49:3 Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans.(Creole-HT) ======= Psalm 49:4 ============ Psa 49:4 I will incline mine ear to a parable: I will open my dark saying upon the harp.(KJV-1611) Psa 49:4 M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik.(Creole-HT) ======= Psalm 49:5 ============ Psa 49:5 Wherefore should I fear in the days of evil, when the iniquity of my heels shall compass me about?(KJV-1611) Psa 49:5 Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo?(Creole-HT) ======= Psalm 49:6 ============ Psa 49:6 They that trust in their wealth, and boast themselves in the multitude of their riches;(KJV-1611) Psa 49:6 Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen,(Creole-HT) ======= Psalm 49:7 ============ Psa 49:7 None of them can by any means redeem his brother, nor give to God a ransom for him:(KJV-1611) Psa 49:7 pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 49:8 ============ Psa 49:8 (For the redemption of their soul is precious, and it ceaseth for ever:)(KJV-1611) Psa 49:8 Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 49:9 ============ Psa 49:9 That he should still live for ever, and not see corruption.(KJV-1611) Psa 49:9 Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè?(Creole-HT) ======= Psalm 49:10 ============ Psa 49:10 For he seeth that wise men die, likewise the fool and the brutish person perish, and leave their wealth to others.(KJV-1611) Psa 49:10 Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun.(Creole-HT) ======= Psalm 49:11 ============ Psa 49:11 Their inward thought is, that their houses shall continue for ever, and their dwelling places to all generations; they call their lands after their own names.(KJV-1611) Psa 49:11 Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.(Creole-HT) ======= Psalm 49:12 ============ Psa 49:12 Nevertheless man being in honour abideth not: he is like the beasts that perish.(KJV-1611) Psa 49:12 Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.(Creole-HT) ======= Psalm 49:13 ============ Psa 49:13 This their way is their folly: yet their posterity approve their sayings. Selah.(KJV-1611) Psa 49:13 Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou.(Creole-HT) ======= Psalm 49:14 ============ Psa 49:14 Like sheep they are laid in the grave; death shall feed on them; and the upright shall have dominion over them in the morning; and their beauty shall consume in the grave from their dwelling.(KJV-1611) Psa 49:14 Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.(Creole-HT) ======= Psalm 49:15 ============ Psa 49:15 But God will redeem my soul from the power of the grave: for he shall receive me. Selah.(KJV-1611) Psa 49:15 Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò.(Creole-HT) ======= Psalm 49:16 ============ Psa 49:16 Be not thou afraid when one is made rich, when the glory of his house is increased;(KJV-1611) Psa 49:16 Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li.(Creole-HT) ======= Psalm 49:17 ============ Psa 49:17 For when he dieth he shall carry nothing away: his glory shall not descend after him.(KJV-1611) Psa 49:17 Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè.(Creole-HT) ======= Psalm 49:18 ============ Psa 49:18 Though while he lived he blessed his soul: and men will praise thee, when thou doest well to thyself.(KJV-1611) Psa 49:18 Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen,(Creole-HT) ======= Psalm 49:19 ============ Psa 49:19 He shall go to the generation of his fathers; they shall never see light.(KJV-1611) Psa 49:19 yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 49:20 ============ Psa 49:20 Man that is in honour, and understandeth not, is like the beasts that perish.(KJV-1611) Psa 49:20 Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.(Creole-HT) ======= Psalm 50:1 ============ Psa 50:1 The mighty God, even the LORD, hath spoken, and called the earth from the rising of the sun unto the going down thereof.(KJV-1611) Psa 50:1 Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.(Creole-HT) ======= Psalm 50:2 ============ Psa 50:2 Out of Zion, the perfection of beauty, God hath shined.(KJV-1611) Psa 50:2 Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.(Creole-HT) ======= Psalm 50:3 ============ Psa 50:3 Our God shall come, and shall not keep silence: a fire shall devour before him, and it shall be very tempestuous round about him.(KJV-1611) Psa 50:3 Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.(Creole-HT) ======= Psalm 50:4 ============ Psa 50:4 He shall call to the heavens from above, and to the earth, that he may judge his people.(KJV-1611) Psa 50:4 Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.(Creole-HT) ======= Psalm 50:5 ============ Psa 50:5 Gather my saints together unto me; those that have made a covenant with me by sacrifice.(KJV-1611) Psa 50:5 Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 50:6 ============ Psa 50:6 And the heavens shall declare his righteousness: for God is judge himself. Selah.(KJV-1611) Psa 50:6 Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!(Creole-HT) ======= Psalm 50:7 ============ Psa 50:7 Hear, O my people, and I will speak; O Israel, and I will testify against thee: I am God, even thy God.(KJV-1611) Psa 50:7 Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:8 ============ Psa 50:8 I will not reprove thee for thy sacrifices or thy burnt offerings, to have been continually before me.(KJV-1611) Psa 50:8 Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 50:9 ============ Psa 50:9 I will take no bullock out of thy house, nor he goats out of thy folds.(KJV-1611) Psa 50:9 Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:10 ============ Psa 50:10 For every beast of the forest is mine, and the cattle upon a thousand hills.(KJV-1611) Psa 50:10 Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:11 ============ Psa 50:11 I know all the fowls of the mountains: and the wild beasts of the field are mine.(KJV-1611) Psa 50:11 Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 50:12 ============ Psa 50:12 If I were hungry, I would not tell thee: for the world is mine, and the fulness thereof.(KJV-1611) Psa 50:12 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 50:13 ============ Psa 50:13 Will I eat the flesh of bulls, or drink the blood of goats?(KJV-1611) Psa 50:13 Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?(Creole-HT) ======= Psalm 50:14 ============ Psa 50:14 Offer unto God thanksgiving; and pay thy vows unto the most High:(KJV-1611) Psa 50:14 Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 50:15 ============ Psa 50:15 And call upon me in the day of trouble: I will deliver thee, and thou shalt glorify me.(KJV-1611) Psa 50:15 Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 50:16 ============ Psa 50:16 But unto the wicked God saith, What hast thou to do to declare my statutes, or that thou shouldest take my covenant in thy mouth?(KJV-1611) Psa 50:16 Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?(Creole-HT) ======= Psalm 50:17 ============ Psa 50:17 Seeing thou hatest instruction, and casteth my words behind thee.(KJV-1611) Psa 50:17 Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 50:18 ============ Psa 50:18 When thou sawest a thief, then thou consentedst with him, and hast been partaker with adulterers.(KJV-1611) Psa 50:18 Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 50:19 ============ Psa 50:19 Thou givest thy mouth to evil, and thy tongue frameth deceit.(KJV-1611) Psa 50:19 Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.(Creole-HT) ======= Psalm 50:20 ============ Psa 50:20 Thou sittest and speakest against thy brother; thou slanderest thine own mother's son.(KJV-1611) Psa 50:20 Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:21 ============ Psa 50:21 These things hast thou done, and I kept silence; thou thoughtest that I was altogether such an one as thyself: but I will reprove thee, and set them in order before thine eyes.(KJV-1611) Psa 50:21 Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:22 ============ Psa 50:22 Now consider this, ye that forget God, lest I tear you in pieces, and there be none to deliver.(KJV-1611) Psa 50:22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 50:23 ============ Psa 50:23 Whoso offereth praise glorifieth me: and to him that ordereth his conversation aright will I shew the salvation of God.(KJV-1611) Psa 50:23 Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 51:1 ============ Psa 51:1 Have mercy upon me, O God, according to thy lovingkindness: according unto the multitude of thy tender mercies blot out my transgressions.(KJV-1611) Psa 51:1 Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.(Creole-HT) ======= Psalm 51:2 ============ Psa 51:2 Wash me throughly from mine iniquity, and cleanse me from my sin.(KJV-1611) Psa 51:2 Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.(Creole-HT) ======= Psalm 51:3 ============ Psa 51:3 For I acknowledge my transgressions: and my sin is ever before me.(KJV-1611) Psa 51:3 Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'.(Creole-HT) ======= Psalm 51:4 ============ Psa 51:4 Against thee, thee only, have I sinned, and done this evil in thy sight: that thou mightest be justified when thou speakest, and be clear when thou judgest.(KJV-1611) Psa 51:4 Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.(Creole-HT) ======= Psalm 51:5 ============ Psa 51:5 Behold, I was shapen in iniquity; and in sin did my mother conceive me.(KJV-1611) Psa 51:5 Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 51:6 ============ Psa 51:6 Behold, thou desirest truth in the inward parts: and in the hidden part thou shalt make me to know wisdom.(KJV-1611) Psa 51:6 Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!(Creole-HT) ======= Psalm 51:7 ============ Psa 51:7 Purge me with hyssop, and I shall be clean: wash me, and I shall be whiter than snow.(KJV-1611) Psa 51:7 Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton.(Creole-HT) ======= Psalm 51:8 ============ Psa 51:8 Make me to hear joy and gladness; that the bones which thou hast broken may rejoice.(KJV-1611) Psa 51:8 Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 51:9 ============ Psa 51:9 Hide thy face from my sins, and blot out all mine iniquities.(KJV-1611) Psa 51:9 Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 51:10 ============ Psa 51:10 Create in me a clean heart, O God; and renew a right spirit within me.(KJV-1611) Psa 51:10 O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.(Creole-HT) ======= Psalm 51:11 ============ Psa 51:11 Cast me not away from thy presence; and take not thy holy spirit from me.(KJV-1611) Psa 51:11 Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 51:12 ============ Psa 51:12 Restore unto me the joy of thy salvation; and uphold me with thy free spirit.(KJV-1611) Psa 51:12 Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan.(Creole-HT) ======= Psalm 51:13 ============ Psa 51:13 Then will I teach transgressors thy ways; and sinners shall be converted unto thee.(KJV-1611) Psa 51:13 Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= Psalm 51:14 ============ Psa 51:14 Deliver me from bloodguiltiness, O God, thou God of my salvation: and my tongue shall sing aloud of thy righteousness.(KJV-1611) Psa 51:14 Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 51:15 ============ Psa 51:15 O Lord, open thou my lips; and my mouth shall shew forth thy praise.(KJV-1611) Psa 51:15 Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 51:16 ============ Psa 51:16 For thou desirest not sacrifice; else would I give it: thou delightest not in burnt offering.(KJV-1611) Psa 51:16 Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 51:17 ============ Psa 51:17 The sacrifices of God are a broken spirit: a broken and a contrite heart, O God, thou wilt not despise.(KJV-1611) Psa 51:17 Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.(Creole-HT) ======= Psalm 51:18 ============ Psa 51:18 Do good in thy good pleasure unto Zion: build thou the walls of Jerusalem.(KJV-1611) Psa 51:18 O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Psalm 51:19 ============ Psa 51:19 Then shalt thou be pleased with the sacrifices of righteousness, with burnt offering and whole burnt offering: then shall they offer bullocks upon thine altar.(KJV-1611) Psa 51:19 Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 52:1 ============ Psa 52:1 Why boastest thou thyself in mischief, O mighty man? the goodness of God endureth continually.(KJV-1611) Psa 52:1 Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.(Creole-HT) ======= Psalm 52:2 ============ Psa 52:2 The tongue deviseth mischiefs; like a sharp razor, working deceitfully.(KJV-1611) Psa 52:2 W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 52:3 ============ Psa 52:3 Thou lovest evil more than good; and lying rather than to speak righteousness. Selah.(KJV-1611) Psa 52:3 Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.(Creole-HT) ======= Psalm 52:4 ============ Psa 52:4 Thou lovest all devouring words, O thou deceitful tongue.(KJV-1611) Psa 52:4 Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!(Creole-HT) ======= Psalm 52:5 ============ Psa 52:5 God shall likewise destroy thee for ever, he shall take thee away, and pluck thee out of thy dwelling place, and root thee out of the land of the living. Selah.(KJV-1611) Psa 52:5 Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 52:6 ============ Psa 52:6 The righteous also shall see, and fear, and shall laugh at him:(KJV-1611) Psa 52:6 Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:(Creole-HT) ======= Psalm 52:7 ============ Psa 52:7 Lo, this is the man that made not God his strength; but trusted in the abundance of his riches, and strengthened himself in his wickedness.(KJV-1611) Psa 52:7 Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 52:8 ============ Psa 52:8 But I am like a green olive tree in the house of God: I trust in the mercy of God for ever and ever.(KJV-1611) Psa 52:8 Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 52:9 ============ Psa 52:9 I will praise thee for ever, because thou hast done it: and I will wait on thy name; for it is good before thy saints.(KJV-1611) Psa 52:9 M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.(Creole-HT) ======= Psalm 53:1 ============ Psa 53:1 The fool hath said in his heart, There is no God. Corrupt are they, and have done abominable iniquity: there is none that doeth good.(KJV-1611) Psa 53:1 Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Psalm 53:2 ============ Psa 53:2 God looked down from heaven upon the children of men, to see if there were any that did understand, that did seek God.(KJV-1611) Psa 53:2 Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.(Creole-HT) ======= Psalm 53:3 ============ Psa 53:3 Every one of them is gone back: they are altogether become filthy; there is none that doeth good, no, not one.(KJV-1611) Psa 53:3 Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 53:4 ============ Psa 53:4 Have the workers of iniquity no knowledge? who eat up my people as they eat bread: they have not called upon God.(KJV-1611) Psa 53:4 Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 53:5 ============ Psa 53:5 There were they in great fear, where no fear was: for God hath scattered the bones of him that encampeth against thee: thou hast put them to shame, because God hath despised them.(KJV-1611) Psa 53:5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.(Creole-HT) ======= Psalm 53:6 ============ Psa 53:6 Oh that the salvation of Israel were come out of Zion! When God bringeth back the captivity of his people, Jacob shall rejoice, and Israel shall be glad.(KJV-1611) Psa 53:6 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 54:1 ============ Psa 54:1 Save me, O God, by thy name, and judge me by thy strength.(KJV-1611) Psa 54:1 Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!(Creole-HT) ======= Psalm 54:2 ============ Psa 54:2 Hear my prayer, O God; give ear to the words of my mouth.(KJV-1611) Psa 54:2 Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 54:3 ============ Psa 54:3 For strangers are risen up against me, and oppressors seek after my soul: they have not set God before them. Selah.(KJV-1611) Psa 54:3 Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!(Creole-HT) ======= Psalm 54:4 ============ Psa 54:4 Behold, God is mine helper: the Lord is with them that uphold my soul.(KJV-1611) Psa 54:4 Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 54:5 ============ Psa 54:5 He shall reward evil unto mine enemies: cut them off in thy truth.(KJV-1611) Psa 54:5 L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Psalm 54:6 ============ Psa 54:6 I will freely sacrifice unto thee: I will praise thy name, O LORD; for it is good.(KJV-1611) Psa 54:6 Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 54:7 ============ Psa 54:7 For he hath delivered me out of all trouble: and mine eye hath seen his desire upon mine enemies.(KJV-1611) Psa 54:7 Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.(Creole-HT) ======= Psalm 55:1 ============ Psa 55:1 Give ear to my prayer, O God; and hide not thyself from my supplication.(KJV-1611) Psa 55:1 Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!(Creole-HT) ======= Psalm 55:2 ============ Psa 55:2 Attend unto me, and hear me: I mourn in my complaint, and make a noise;(KJV-1611) Psa 55:2 Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn!(Creole-HT) ======= Psalm 55:3 ============ Psa 55:3 Because of the voice of the enemy, because of the oppression of the wicked: for they cast iniquity upon me, and in wrath they hate me.(KJV-1611) Psa 55:3 Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'.(Creole-HT) ======= Psalm 55:4 ============ Psa 55:4 My heart is sore pained within me: and the terrors of death are fallen upon me.(KJV-1611) Psa 55:4 Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 55:5 ============ Psa 55:5 Fearfulness and trembling are come upon me, and horror hath overwhelmed me.(KJV-1611) Psa 55:5 Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi.(Creole-HT) ======= Psalm 55:6 ============ Psa 55:6 And I said, Oh that I had wings like a dove! for then would I fly away, and be at rest.(KJV-1611) Psa 55:6 Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo.(Creole-HT) ======= Psalm 55:7 ============ Psa 55:7 Lo, then would I wander far off, and remain in the wilderness. Selah.(KJV-1611) Psa 55:7 Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a.(Creole-HT) ======= Psalm 55:8 ============ Psa 55:8 I would hasten my escape from the windy storm and tempest.(KJV-1611) Psa 55:8 Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 55:9 ============ Psa 55:9 Destroy, O Lord, and divide their tongues: for I have seen violence and strife in the city.(KJV-1611) Psa 55:9 Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.(Creole-HT) ======= Psalm 55:10 ============ Psa 55:10 Day and night they go about it upon the walls thereof: mischief also and sorrow are in the midst of it.(KJV-1611) Psa 55:10 Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.(Creole-HT) ======= Psalm 55:11 ============ Psa 55:11 Wickedness is in the midst thereof: deceit and guile depart not from her streets.(KJV-1611) Psa 55:11 Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.(Creole-HT) ======= Psalm 55:12 ============ Psa 55:12 For it was not an enemy that reproached me; then I could have borne it: neither was it he that hated me that did magnify himself against me; then I would have hid myself from him:(KJV-1611) Psa 55:12 Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 55:13 ============ Psa 55:13 But it was thou, a man mine equal, my guide, and mine acquaintance.(KJV-1611) Psa 55:13 Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 55:14 ============ Psa 55:14 We took sweet counsel together, and walked unto the house of God in company.(KJV-1611) Psa 55:14 Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.(Creole-HT) ======= Psalm 55:15 ============ Psa 55:15 Let death seize upon them, and let them go down quick into hell: for wickedness is in their dwellings, and among them.(KJV-1611) Psa 55:15 Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 55:16 ============ Psa 55:16 As for me, I will call upon God; and the LORD shall save me.(KJV-1611) Psa 55:16 Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 55:17 ============ Psa 55:17 Evening, and morning, and at noon, will I pray, and cry aloud: and he shall hear my voice.(KJV-1611) Psa 55:17 Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 55:18 ============ Psa 55:18 He hath delivered my soul in peace from the battle that was against me: for there were many with me.(KJV-1611) Psa 55:18 L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 55:19 ============ Psa 55:19 God shall hear, and afflict them, even he that abideth of old. Selah. Because they have no changes, therefore they fear not God.(KJV-1611) Psa 55:19 Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 55:20 ============ Psa 55:20 He hath put forth his hands against such as be at peace with him: he hath broken his covenant.(KJV-1611) Psa 55:20 Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.(Creole-HT) ======= Psalm 55:21 ============ Psa 55:21 The words of his mouth were smoother than butter, but war was in his heart: his words were softer than oil, yet were they drawn swords.(KJV-1611) Psa 55:21 Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.(Creole-HT) ======= Psalm 55:22 ============ Psa 55:22 Cast thy burden upon the LORD, and he shall sustain thee: he shall never suffer the righteous to be moved.(KJV-1611) Psa 55:22 Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 55:23 ============ Psa 55:23 But thou, O God, shalt bring them down into the pit of destruction: bloody and deceitful men shall not live out half their days; but I will trust in thee.(KJV-1611) Psa 55:23 Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 56:1 ============ Psa 56:1 Be merciful unto me, O God: for man would swallow me up; he fighting daily oppresseth me.(KJV-1611) Psa 56:1 Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 56:2 ============ Psa 56:2 Mine enemies would daily swallow me up: for they be many that fight against me, O thou most High.(KJV-1611) Psa 56:2 Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 56:3 ============ Psa 56:3 What time I am afraid, I will trust in thee.(KJV-1611) Psa 56:3 Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 56:4 ============ Psa 56:4 In God I will praise his word, in God I have put my trust; I will not fear what flesh can do unto me.(KJV-1611) Psa 56:4 Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?(Creole-HT) ======= Psalm 56:5 ============ Psa 56:5 Every day they wrest my words: all their thoughts are against me for evil.(KJV-1611) Psa 56:5 Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!(Creole-HT) ======= Psalm 56:6 ============ Psa 56:6 They gather themselves together, they hide themselves, they mark my steps, when they wait for my soul.(KJV-1611) Psa 56:6 Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 56:7 ============ Psa 56:7 Shall they escape by iniquity? in thine anger cast down the people, O God.(KJV-1611) Psa 56:7 Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 56:8 ============ Psa 56:8 Thou tellest my wanderings: put thou my tears into thy bottle: are they not in thy book?(KJV-1611) Psa 56:8 Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?(Creole-HT) ======= Psalm 56:9 ============ Psa 56:9 When I cry unto thee, then shall mine enemies turn back: this I know; for God is for me.(KJV-1611) Psa 56:9 Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 56:10 ============ Psa 56:10 In God will I praise his word: in the LORD will I praise his word.(KJV-1611) Psa 56:10 M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 56:11 ============ Psa 56:11 In God have I put my trust: I will not be afraid what man can do unto me.(KJV-1611) Psa 56:11 Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?(Creole-HT) ======= Psalm 56:12 ============ Psa 56:12 Thy vows are upon me, O God: I will render praises unto thee.(KJV-1611) Psa 56:12 O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 56:13 ============ Psa 56:13 For thou hast delivered my soul from death: wilt not thou deliver my feet from falling, that I may walk before God in the light of the living?(KJV-1611) Psa 56:13 Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 57:1 ============ Psa 57:1 Be merciful unto me, O God, be merciful unto me: for my soul trusteth in thee: yea, in the shadow of thy wings will I make my refuge, until these calamities be overpast.(KJV-1611) Psa 57:1 Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.(Creole-HT) ======= Psalm 57:2 ============ Psa 57:2 I will cry unto God most high; unto God that performeth all things for me.(KJV-1611) Psa 57:2 M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 57:3 ============ Psa 57:3 He shall send from heaven, and save me from the reproach of him that would swallow me up. Selah. God shall send forth his mercy and his truth.(KJV-1611) Psa 57:3 L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Psalm 57:4 ============ Psa 57:4 My soul is among lions: and I lie even among them that are set on fire, even the sons of men, whose teeth are spears and arrows, and their tongue a sharp sword.(KJV-1611) Psa 57:4 Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.(Creole-HT) ======= Psalm 57:5 ============ Psa 57:5 Be thou exalted, O God, above the heavens; let thy glory be above all the earth.(KJV-1611) Psa 57:5 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!(Creole-HT) ======= Psalm 57:6 ============ Psa 57:6 They have prepared a net for my steps; my soul is bowed down: they have digged a pit before me, into the midst whereof they are fallen themselves. Selah.(KJV-1611) Psa 57:6 Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.(Creole-HT) ======= Psalm 57:7 ============ Psa 57:7 My heart is fixed, O God, my heart is fixed: I will sing and give praise.(KJV-1611) Psa 57:7 Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 57:8 ============ Psa 57:8 Awake up, my glory; awake, psaltery and harp: I myself will awake early.(KJV-1611) Psa 57:8 M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!(Creole-HT) ======= Psalm 57:9 ============ Psa 57:9 I will praise thee, O Lord, among the people: I will sing unto thee among the nations.(KJV-1611) Psa 57:9 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!(Creole-HT) ======= Psalm 57:10 ============ Psa 57:10 For thy mercy is great unto the heavens, and thy truth unto the clouds.(KJV-1611) Psa 57:10 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 57:11 ============ Psa 57:11 Be thou exalted, O God, above the heavens: let thy glory be above all the earth.(KJV-1611) Psa 57:11 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!(Creole-HT) ======= Psalm 58:1 ============ Psa 58:1 Do ye indeed speak righteousness, O congregation? do ye judge uprightly, O ye sons of men?(KJV-1611) Psa 58:1 Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?(Creole-HT) ======= Psalm 58:2 ============ Psa 58:2 Yea, in heart ye work wickedness; ye weigh the violence of your hands in the earth.(KJV-1611) Psa 58:2 Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 58:3 ============ Psa 58:3 The wicked are estranged from the womb: they go astray as soon as they be born, speaking lies.(KJV-1611) Psa 58:3 Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 58:4 ============ Psa 58:4 Their poison is like the poison of a serpent: they are like the deaf adder that stoppeth her ear;(KJV-1611) Psa 58:4 Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,(Creole-HT) ======= Psalm 58:5 ============ Psa 58:5 Which will not hearken to the voice of charmers, charming never so wisely.(KJV-1611) Psa 58:5 ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.(Creole-HT) ======= Psalm 58:6 ============ Psa 58:6 Break their teeth, O God, in their mouth: break out the great teeth of the young lions, O LORD.(KJV-1611) Psa 58:6 Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 58:7 ============ Psa 58:7 Let them melt away as waters which run continually: when he bendeth his bow to shoot his arrows, let them be as cut in pieces.(KJV-1611) Psa 58:7 Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.(Creole-HT) ======= Psalm 58:8 ============ Psa 58:8 As a snail which melteth, let every one of them pass away: like the untimely birth of a woman, that they may not see the sun.(KJV-1611) Psa 58:8 Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 58:9 ============ Psa 58:9 Before your pots can feel the thorns, he shall take them away as with a whirlwind, both living, and in his wrath.(KJV-1611) Psa 58:9 Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.(Creole-HT) ======= Psalm 58:10 ============ Psa 58:10 The righteous shall rejoice when he seeth the vengeance: he shall wash his feet in the blood of the wicked.(KJV-1611) Psa 58:10 Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 58:11 ============ Psa 58:11 So that a man shall say, Verily there is a reward for the righteous: verily he is a God that judgeth in the earth.(KJV-1611) Psa 58:11 Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 59:1 ============ Psa 59:1 Deliver me from mine enemies, O my God: defend me from them that rise up against me.(KJV-1611) Psa 59:1 Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 59:2 ============ Psa 59:2 Deliver me from the workers of iniquity, and save me from bloody men.(KJV-1611) Psa 59:2 Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!(Creole-HT) ======= Psalm 59:3 ============ Psa 59:3 For, lo, they lie in wait for my soul: the mighty are gathered against me; not for my transgression, nor for my sin, O LORD.(KJV-1611) Psa 59:3 Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.(Creole-HT) ======= Psalm 59:4 ============ Psa 59:4 They run and prepare themselves without my fault: awake to help me, and behold.(KJV-1611) Psa 59:4 Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!(Creole-HT) ======= Psalm 59:5 ============ Psa 59:5 Thou therefore, O LORD God of hosts, the God of Israel, awake to visit all the heathen: be not merciful to any wicked transgressors. Selah.(KJV-1611) Psa 59:5 Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou!(Creole-HT) ======= Psalm 59:6 ============ Psa 59:6 They return at evening: they make a noise like a dog, and go round about the city.(KJV-1611) Psa 59:6 Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.(Creole-HT) ======= Psalm 59:7 ============ Psa 59:7 Behold, they belch out with their mouth: swords are in their lips: for who, say they, doth hear?(KJV-1611) Psa 59:7 Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!(Creole-HT) ======= Psalm 59:8 ============ Psa 59:8 But thou, O LORD, shalt laugh at them; thou shalt have all the heathen in derision.(KJV-1611) Psa 59:8 Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt.(Creole-HT) ======= Psalm 59:9 ============ Psa 59:9 Because of his strength will I wait upon thee: for God is my defence.(KJV-1611) Psa 59:9 Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 59:10 ============ Psa 59:10 The God of my mercy shall prevent me: God shall let me see my desire upon mine enemies.(KJV-1611) Psa 59:10 Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.(Creole-HT) ======= Psalm 59:11 ============ Psa 59:11 Slay them not, lest my people forget: scatter them by thy power; and bring them down, O Lord our shield.(KJV-1611) Psa 59:11 Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 59:12 ============ Psa 59:12 For the sin of their mouth and the words of their lips let them even be taken in their pride: and for cursing and lying which they speak.(KJV-1611) Psa 59:12 Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Psalm 59:13 ============ Psa 59:13 Consume them in wrath, consume them, that they may not be: and let them know that God ruleth in Jacob unto the ends of the earth. Selah.(KJV-1611) Psa 59:13 Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 59:14 ============ Psa 59:14 And at evening let them return; and let them make a noise like a dog, and go round about the city.(KJV-1611) Psa 59:14 Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.(Creole-HT) ======= Psalm 59:15 ============ Psa 59:15 Let them wander up and down for meat, and grudge if they be not satisfied.(KJV-1611) Psa 59:15 Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo.(Creole-HT) ======= Psalm 59:16 ============ Psa 59:16 But I will sing of thy power; yea, I will sing aloud of thy mercy in the morning: for thou hast been my defence and refuge in the day of my trouble.(KJV-1611) Psa 59:16 Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray.(Creole-HT) ======= Psalm 59:17 ============ Psa 59:17 Unto thee, O my strength, will I sing: for God is my defence, and the God of my mercy.(KJV-1611) Psa 59:17 Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.(Creole-HT) ======= Psalm 60:1 ============ Psa 60:1 O God, thou hast cast us off, thou hast scattered us, thou hast been displeased; O turn thyself to us again.(KJV-1611) Psa 60:1 Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 60:2 ============ Psa 60:2 Thou hast made the earth to tremble; thou hast broken it: heal the breaches thereof; for it shaketh.(KJV-1611) Psa 60:2 Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 60:3 ============ Psa 60:3 Thou hast shewed thy people hard things: thou hast made us to drink the wine of astonishment.(KJV-1611) Psa 60:3 Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire.(Creole-HT) ======= Psalm 60:4 ============ Psa 60:4 Thou hast given a banner to them that fear thee, that it may be displayed because of the truth. Selah.(KJV-1611) Psa 60:4 Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache.(Creole-HT) ======= Psalm 60:5 ============ Psa 60:5 That thy beloved may be delivered; save with thy right hand, and hear me.(KJV-1611) Psa 60:5 Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Psalm 60:6 ============ Psa 60:6 God hath spoken in his holiness; I will rejoice, I will divide Shechem, and mete out the valley of Succoth.(KJV-1611) Psa 60:6 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.(Creole-HT) ======= Psalm 60:7 ============ Psa 60:7 Gilead is mine, and Manasseh is mine; Ephraim also is the strength of mine head; Judah is my lawgiver;(KJV-1611) Psa 60:7 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 60:8 ============ Psa 60:8 Moab is my washpot; over Edom will I cast out my shoe: Philistia, triumph thou because of me.(KJV-1611) Psa 60:8 Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li.(Creole-HT) ======= Psalm 60:9 ============ Psa 60:9 Who will bring me into the strong city? who will lead me into Edom?(KJV-1611) Psa 60:9 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?(Creole-HT) ======= Psalm 60:10 ============ Psa 60:10 Wilt not thou, O God, which hadst cast us off? and thou, O God, which didst not go out with our armies?(KJV-1611) Psa 60:10 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 60:11 ============ Psa 60:11 Give us help from trouble: for vain is the help of man.(KJV-1611) Psa 60:11 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.(Creole-HT) ======= Psalm 60:12 ============ Psa 60:12 Through God we shall do valiantly: for he it is that shall tread down our enemies.(KJV-1611) Psa 60:12 Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= Psalm 61:1 ============ Psa 61:1 Hear my cry, O God; attend unto my prayer.(KJV-1611) Psa 61:1 Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!(Creole-HT) ======= Psalm 61:2 ============ Psa 61:2 From the end of the earth will I cry unto thee, when my heart is overwhelmed: lead me to the rock that is higher than I.(KJV-1611) Psa 61:2 Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.(Creole-HT) ======= Psalm 61:3 ============ Psa 61:3 For thou hast been a shelter for me, and a strong tower from the enemy.(KJV-1611) Psa 61:3 Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 61:4 ============ Psa 61:4 I will abide in thy tabernacle for ever: I will trust in the covert of thy wings. Selah.(KJV-1611) Psa 61:4 Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 61:5 ============ Psa 61:5 For thou, O God, hast heard my vows: thou hast given me the heritage of those that fear thy name.(KJV-1611) Psa 61:5 Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.(Creole-HT) ======= Psalm 61:6 ============ Psa 61:6 Thou wilt prolong the king's life: and his years as many generations.(KJV-1611) Psa 61:6 Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 61:7 ============ Psa 61:7 He shall abide before God for ever: O prepare mercy and truth, which may preserve him.(KJV-1611) Psa 61:7 Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.(Creole-HT) ======= Psalm 61:8 ============ Psa 61:8 So will I sing praise unto thy name for ever, that I may daily perform my vows.(KJV-1611) Psa 61:8 Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 62:1 ============ Psa 62:1 Truly my soul waiteth upon God: from him cometh my salvation.(KJV-1611) Psa 62:1 Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 62:2 ============ Psa 62:2 He only is my rock and my salvation; he is my defence; I shall not be greatly moved.(KJV-1611) Psa 62:2 Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 62:3 ============ Psa 62:3 How long will ye imagine mischief against a man? ye shall be slain all of you: as a bowing wall shall ye be, and as a tottering fence.(KJV-1611) Psa 62:3 Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?(Creole-HT) ======= Psalm 62:4 ============ Psa 62:4 They only consult to cast him down from his excellency: they delight in lies: they bless with their mouth, but they curse inwardly. Selah.(KJV-1611) Psa 62:4 Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.(Creole-HT) ======= Psalm 62:5 ============ Psa 62:5 My soul, wait thou only upon God; for my expectation is from him.(KJV-1611) Psa 62:5 Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 62:6 ============ Psa 62:6 He only is my rock and my salvation: he is my defence; I shall not be moved.(KJV-1611) Psa 62:6 Se li menm sèlman k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m'.(Creole-HT) ======= Psalm 62:7 ============ Psa 62:7 In God is my salvation and my glory: the rock of my strength, and my refuge, is in God.(KJV-1611) Psa 62:7 Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 62:8 ============ Psa 62:8 Trust in him at all times; ye people, pour out your heart before him: God is a refuge for us. Selah.(KJV-1611) Psa 62:8 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.(Creole-HT) ======= Psalm 62:9 ============ Psa 62:9 Surely men of low degree are vanity, and men of high degree are a lie: to be laid in the balance, they are altogether lighter than vanity.(KJV-1611) Psa 62:9 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.(Creole-HT) ======= Psalm 62:10 ============ Psa 62:10 Trust not in oppression, and become not vain in robbery: if riches increase, set not your heart upon them.(KJV-1611) Psa 62:10 Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.(Creole-HT) ======= Psalm 62:11 ============ Psa 62:11 God hath spoken once; twice have I heard this; that power belongeth unto God.(KJV-1611) Psa 62:11 An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.(Creole-HT) ======= Psalm 62:12 ============ Psa 62:12 Also unto thee, O Lord, belongeth mercy: for thou renderest to every man according to his work.(KJV-1611) Psa 62:12 Wi, Seyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.(Creole-HT) ======= Psalm 63:1 ============ Psa 63:1 O God, thou art my God; early will I seek thee: my soul thirsteth for thee, my flesh longeth for thee in a dry and thirsty land, where no water is;(KJV-1611) Psa 63:1 Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.(Creole-HT) ======= Psalm 63:2 ============ Psa 63:2 To see thy power and thy glory, so as I have seen thee in the sanctuary.(KJV-1611) Psa 63:2 Fè m' antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m' wè ou, pou m' wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 63:3 ============ Psa 63:3 Because thy lovingkindness is better than life, my lips shall praise thee.(KJV-1611) Psa 63:3 renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 63:4 ============ Psa 63:4 Thus will I bless thee while I live: I will lift up my hands in thy name.(KJV-1611) Psa 63:4 Konsa m'a pase tout lavi m' ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m'a lapriyè.(Creole-HT) ======= Psalm 63:5 ============ Psa 63:5 My soul shall be satisfied as with marrow and fatness; and my mouth shall praise thee with joyful lips:(KJV-1611) Psa 63:5 M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l'. Wi, se konsa kè m' ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 63:6 ============ Psa 63:6 When I remember thee upon my bed, and meditate on thee in the night watches.(KJV-1611) Psa 63:6 Lè m' kouche sou kabann mwen, lide m' ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.(Creole-HT) ======= Psalm 63:7 ============ Psa 63:7 Because thou hast been my help, therefore in the shadow of thy wings will I rejoice.(KJV-1611) Psa 63:7 Paske se ou ki tout sekou m', m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 63:8 ============ Psa 63:8 My soul followeth hard after thee: thy right hand upholdeth me.(KJV-1611) Psa 63:8 Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 63:9 ============ Psa 63:9 But those that seek my soul, to destroy it, shall go into the lower parts of the earth.(KJV-1611) Psa 63:9 Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 63:10 ============ Psa 63:10 They shall fall by the sword: they shall be a portion for foxes.(KJV-1611) Psa 63:10 Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.(Creole-HT) ======= Psalm 63:11 ============ Psa 63:11 But the king shall rejoice in God; every one that sweareth by him shall glory: but the mouth of them that speak lies shall be stopped.(KJV-1611) Psa 63:11 Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.(Creole-HT) ======= Psalm 64:1 ============ Psa 64:1 Hear my voice, O God, in my prayer: preserve my life from fear of the enemy.(KJV-1611) Psa 64:1 Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 64:2 ============ Psa 64:2 Hide me from the secret counsel of the wicked; from the insurrection of the workers of iniquity:(KJV-1611) Psa 64:2 Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 64:3 ============ Psa 64:3 Who whet their tongue like a sword, and bend their bows to shoot their arrows, even bitter words:(KJV-1611) Psa 64:3 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.(Creole-HT) ======= Psalm 64:4 ============ Psa 64:4 That they may shoot in secret at the perfect: suddenly do they shoot at him, and fear not.(KJV-1611) Psa 64:4 Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 64:5 ============ Psa 64:5 They encourage themselves in an evil matter: they commune of laying snares privily; they say, Who shall see them?(KJV-1611) Psa 64:5 Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?(Creole-HT) ======= Psalm 64:6 ============ Psa 64:6 They search out iniquities; they accomplish a diligent search: both the inward thought of every one of them, and the heart, is deep.(KJV-1611) Psa 64:6 Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.(Creole-HT) ======= Psalm 64:7 ============ Psa 64:7 But God shall shoot at them with an arrow; suddenly shall they be wounded.(KJV-1611) Psa 64:7 Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.(Creole-HT) ======= Psalm 64:8 ============ Psa 64:8 So they shall make their own tongue to fall upon themselves: all that see them shall flee away.(KJV-1611) Psa 64:8 Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.(Creole-HT) ======= Psalm 64:9 ============ Psa 64:9 And all men shall fear, and shall declare the work of God; for they shall wisely consider of his doing.(KJV-1611) Psa 64:9 Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Psalm 64:10 ============ Psa 64:10 The righteous shall be glad in the LORD, and shall trust in him; and all the upright in heart shall glory.(KJV-1611) Psa 64:10 Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l' la va fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 65:1 ============ Psa 65:1 Praise waiteth for thee, O God, in Sion: and unto thee shall the vow be performed.(KJV-1611) Psa 65:1 Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 65:2 ============ Psa 65:2 O thou that hearest prayer, unto thee shall all flesh come.(KJV-1611) Psa 65:2 Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,(Creole-HT) ======= Psalm 65:3 ============ Psa 65:3 Iniquities prevail against me: as for our transgressions, thou shalt purge them away.(KJV-1611) Psa 65:3 pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.(Creole-HT) ======= Psalm 65:4 ============ Psa 65:4 Blessed is the man whom thou choosest, and causest to approach unto thee, that he may dwell in thy courts: we shall be satisfied with the goodness of thy house, even of thy holy temple.(KJV-1611) Psa 65:4 Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 65:5 ============ Psa 65:5 By terrible things in righteousness wilt thou answer us, O God of our salvation; who art the confidence of all the ends of the earth, and of them that are afar off upon the sea:(KJV-1611) Psa 65:5 Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 65:6 ============ Psa 65:6 Which by his strength setteth fast the mountains; being girded with power:(KJV-1611) Psa 65:6 Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 65:7 ============ Psa 65:7 Which stilleth the noise of the seas, the noise of their waves, and the tumult of the people.(KJV-1611) Psa 65:7 Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.(Creole-HT) ======= Psalm 65:8 ============ Psa 65:8 They also that dwell in the uttermost parts are afraid at thy tokens: thou makest the outgoings of the morning and evening to rejoice.(KJV-1611) Psa 65:8 Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 65:9 ============ Psa 65:9 Thou visitest the earth, and waterest it: thou greatly enrichest it with the river of God, which is full of water: thou preparest them corn, when thou hast so provided for it.(KJV-1611) Psa 65:9 Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a:(Creole-HT) ======= Psalm 65:10 ============ Psa 65:10 Thou waterest the ridges thereof abundantly: thou settlest the furrows thereof: thou makest it soft with showers: thou blessest the springing thereof.(KJV-1611) Psa 65:10 Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen.(Creole-HT) ======= Psalm 65:11 ============ Psa 65:11 Thou crownest the year with thy goodness; and thy paths drop fatness.(KJV-1611) Psa 65:11 Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite!(Creole-HT) ======= Psalm 65:12 ============ Psa 65:12 They drop upon the pastures of the wilderness: and the little hills rejoice on every side.(KJV-1611) Psa 65:12 Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 65:13 ============ Psa 65:13 The pastures are clothed with flocks; the valleys also are covered over with corn; they shout for joy, they also sing.(KJV-1611) Psa 65:13 Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 66:1 ============ Psa 66:1 Make a joyful noise unto God, all ye lands:(KJV-1611) Psa 66:1 Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!(Creole-HT) ======= Psalm 66:2 ============ Psa 66:2 Sing forth the honour of his name: make his praise glorious.(KJV-1611) Psa 66:2 Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 66:3 ============ Psa 66:3 Say unto God, How terrible art thou in thy works! through the greatness of thy power shall thine enemies submit themselves unto thee.(KJV-1611) Psa 66:3 Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.(Creole-HT) ======= Psalm 66:4 ============ Psa 66:4 All the earth shall worship thee, and shall sing unto thee; they shall sing to thy name. Selah.(KJV-1611) Psa 66:4 Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.(Creole-HT) ======= Psalm 66:5 ============ Psa 66:5 Come and see the works of God: he is terrible in his doing toward the children of men.(KJV-1611) Psa 66:5 Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.(Creole-HT) ======= Psalm 66:6 ============ Psa 66:6 He turned the sea into dry land: they went through the flood on foot: there did we rejoice in him.(KJV-1611) Psa 66:6 Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!(Creole-HT) ======= Psalm 66:7 ============ Psa 66:7 He ruleth by his power for ever; his eyes behold the nations: let not the rebellious exalt themselves. Selah.(KJV-1611) Psa 66:7 Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?(Creole-HT) ======= Psalm 66:8 ============ Psa 66:8 O bless our God, ye people, and make the voice of his praise to be heard:(KJV-1611) Psa 66:8 Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 66:9 ============ Psa 66:9 Which holdeth our soul in life, and suffereth not our feet to be moved.(KJV-1611) Psa 66:9 Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.(Creole-HT) ======= Psalm 66:10 ============ Psa 66:10 For thou, O God, hast proved us: thou hast tried us, as silver is tried.(KJV-1611) Psa 66:10 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.(Creole-HT) ======= Psalm 66:11 ============ Psa 66:11 Thou broughtest us into the net; thou laidst affliction upon our loins.(KJV-1611) Psa 66:11 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.(Creole-HT) ======= Psalm 66:12 ============ Psa 66:12 Thou hast caused men to ride over our heads; we went through fire and through water: but thou broughtest us out into a wealthy place.(KJV-1611) Psa 66:12 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 66:13 ============ Psa 66:13 I will go into thy house with burnt offerings: I will pay thee my vows,(KJV-1611) Psa 66:13 M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 66:14 ============ Psa 66:14 Which my lips have uttered, and my mouth hath spoken, when I was in trouble.(KJV-1611) Psa 66:14 M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la.(Creole-HT) ======= Psalm 66:15 ============ Psa 66:15 I will offer unto thee burnt sacrifices of fatlings, with the incense of rams; I will offer bullocks with goats. Selah.(KJV-1611) Psa 66:15 M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.(Creole-HT) ======= Psalm 66:16 ============ Psa 66:16 Come and hear, all ye that fear God, and I will declare what he hath done for my soul.(KJV-1611) Psa 66:16 vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 66:17 ============ Psa 66:17 I cried unto him with my mouth, and he was extolled with my tongue.(KJV-1611) Psa 66:17 Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 66:18 ============ Psa 66:18 If I regard iniquity in my heart, the Lord will not hear me:(KJV-1611) Psa 66:18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 66:19 ============ Psa 66:19 But verily God hath heard me; he hath attended to the voice of my prayer.(KJV-1611) Psa 66:19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Psalm 66:20 ============ Psa 66:20 Blessed be God, which hath not turned away my prayer, nor his mercy from me.(KJV-1611) Psa 66:20 Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 67:1 ============ Psa 67:1 God be merciful unto us, and bless us; and cause his face to shine upon us; Selah.(KJV-1611) Psa 67:1 Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,(Creole-HT) ======= Psalm 67:2 ============ Psa 67:2 That thy way may be known upon earth, thy saving health among all nations.(KJV-1611) Psa 67:2 pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.(Creole-HT) ======= Psalm 67:3 ============ Psa 67:3 Let the people praise thee, O God; let all the people praise thee.(KJV-1611) Psa 67:3 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 67:4 ============ Psa 67:4 O let the nations be glad and sing for joy: for thou shalt judge the people righteously, and govern the nations upon earth. Selah.(KJV-1611) Psa 67:4 Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 67:5 ============ Psa 67:5 Let the people praise thee, O God; let all the people praise thee.(KJV-1611) Psa 67:5 Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 67:6 ============ Psa 67:6 Then shall the earth yield her increase; and God, even our own God, shall bless us.(KJV-1611) Psa 67:6 Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 67:7 ============ Psa 67:7 God shall bless us; and all the ends of the earth shall fear him.(KJV-1611) Psa 67:7 Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 68:1 ============ Psa 68:1 Let God arise, let his enemies be scattered: let them also that hate him flee before him.(KJV-1611) Psa 68:1 Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt.(Creole-HT) ======= Psalm 68:2 ============ Psa 68:2 As smoke is driven away, so drive them away: as wax melteth before the fire, so let the wicked perish at the presence of God.(KJV-1611) Psa 68:2 Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 68:3 ============ Psa 68:3 But let the righteous be glad; let them rejoice before God: yea, let them exceedingly rejoice.(KJV-1611) Psa 68:3 Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 68:4 ============ Psa 68:4 Sing unto God, sing praises to his name: extol him that rideth upon the heavens by his name JAH, and rejoice before him.(KJV-1611) Psa 68:4 Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.(Creole-HT) ======= Psalm 68:5 ============ Psa 68:5 A father of the fatherless, and a judge of the widows, is God in his holy habitation.(KJV-1611) Psa 68:5 Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.(Creole-HT) ======= Psalm 68:6 ============ Psa 68:6 God setteth the solitary in families: he bringeth out those which are bound with chains: but the rebellious dwell in a dry land.(KJV-1611) Psa 68:6 Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.(Creole-HT) ======= Psalm 68:7 ============ Psa 68:7 O God, when thou wentest forth before thy people, when thou didst march through the wilderness; Selah:(KJV-1611) Psa 68:7 O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a,(Creole-HT) ======= Psalm 68:8 ============ Psa 68:8 The earth shook, the heavens also dropped at the presence of God: even Sinai itself was moved at the presence of God, the God of Israel.(KJV-1611) Psa 68:8 tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 68:9 ============ Psa 68:9 Thou, O God, didst send a plentiful rain, whereby thou didst confirm thine inheritance, when it was weary.(KJV-1611) Psa 68:9 Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.(Creole-HT) ======= Psalm 68:10 ============ Psa 68:10 Thy congregation hath dwelt therein: thou, O God, hast prepared of thy goodness for the poor.(KJV-1611) Psa 68:10 Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 68:11 ============ Psa 68:11 The Lord gave the word: great was the company of those that published it.(KJV-1611) Psa 68:11 Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:(Creole-HT) ======= Psalm 68:12 ============ Psa 68:12 Kings of armies did flee apace: and she that tarried at home divided the spoil.(KJV-1611) Psa 68:12 Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.(Creole-HT) ======= Psalm 68:13 ============ Psa 68:13 Though ye have lien among the pots, yet shall ye be as the wings of a dove covered with silver, and her feathers with yellow gold.(KJV-1611) Psa 68:13 Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.(Creole-HT) ======= Psalm 68:14 ============ Psa 68:14 When the Almighty scattered kings in it, it was white as snow in Salmon.(KJV-1611) Psa 68:14 Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.(Creole-HT) ======= Psalm 68:15 ============ Psa 68:15 The hill of God is as the hill of Bashan; an high hill as the hill of Bashan.(KJV-1611) Psa 68:15 Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!(Creole-HT) ======= Psalm 68:16 ============ Psa 68:16 Why leap ye, ye high hills? this is the hill which God desireth to dwell in; yea, the LORD will dwell in it for ever.(KJV-1611) Psa 68:16 Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 68:17 ============ Psa 68:17 The chariots of God are twenty thousand, even thousands of angels: the Lord is among them, as in Sinai, in the holy place.(KJV-1611) Psa 68:17 Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Psalm 68:18 ============ Psa 68:18 Thou hast ascended on high, thou hast led captivity captive: thou hast received gifts for men; yea, for the rebellious also, that the LORD God might dwell among them.(KJV-1611) Psa 68:18 Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 68:19 ============ Psa 68:19 Blessed be the Lord, who daily loadeth us with benefits, even the God of our salvation. Selah.(KJV-1611) Psa 68:19 Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 68:20 ============ Psa 68:20 He that is our God is the God of salvation; and unto GOD the Lord belong the issues from death.(KJV-1611) Psa 68:20 Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.(Creole-HT) ======= Psalm 68:21 ============ Psa 68:21 But God shall wound the head of his enemies, and the hairy scalp of such an one as goeth on still in his trespasses.(KJV-1611) Psa 68:21 Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.(Creole-HT) ======= Psalm 68:22 ============ Psa 68:22 The Lord said, I will bring again from Bashan, I will bring my people again from the depths of the sea:(KJV-1611) Psa 68:22 Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a.(Creole-HT) ======= Psalm 68:23 ============ Psa 68:23 That thy foot may be dipped in the blood of thine enemies, and the tongue of thy dogs in the same.(KJV-1611) Psa 68:23 pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 68:24 ============ Psa 68:24 They have seen thy goings, O God; even the goings of my God, my King, in the sanctuary.(KJV-1611) Psa 68:24 Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Psalm 68:25 ============ Psa 68:25 The singers went before, the players on instruments followed after; among them were the damsels playing with timbrels.(KJV-1611) Psa 68:25 Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.(Creole-HT) ======= Psalm 68:26 ============ Psa 68:26 Bless ye God in the congregations, even the Lord, from the fountain of Israel.(KJV-1611) Psa 68:26 Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= Psalm 68:27 ============ Psa 68:27 There is little Benjamin with their ruler, the princes of Judah and their council, the princes of Zebulun, and the princes of Naphtali.(KJV-1611) Psa 68:27 Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.(Creole-HT) ======= Psalm 68:28 ============ Psa 68:28 Thy God hath commanded thy strength: strengthen, O God, that which thou hast wrought for us.(KJV-1611) Psa 68:28 Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!(Creole-HT) ======= Psalm 68:29 ============ Psa 68:29 Because of thy temple at Jerusalem shall kings bring presents unto thee.(KJV-1611) Psa 68:29 Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.(Creole-HT) ======= Psalm 68:30 ============ Psa 68:30 Rebuke the company of spearmen, the multitude of the bulls, with the calves of the people, till every one submit himself with pieces of silver: scatter thou the people that delight in war.(KJV-1611) Psa 68:30 Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!(Creole-HT) ======= Psalm 68:31 ============ Psa 68:31 Princes shall come out of Egypt; Ethiopia shall soon stretch out her hands unto God.(KJV-1611) Psa 68:31 Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 68:32 ============ Psa 68:32 Sing unto God, ye kingdoms of the earth; O sing praises unto the Lord; Selah:(KJV-1611) Psa 68:32 Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,(Creole-HT) ======= Psalm 68:33 ============ Psa 68:33 To him that rideth upon the heavens of heavens, which were of old; lo, he doth send out his voice, and that a mighty voice.(KJV-1611) Psa 68:33 pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò.(Creole-HT) ======= Psalm 68:34 ============ Psa 68:34 Ascribe ye strength unto God: his excellency is over Israel, and his strength is in the clouds.(KJV-1611) Psa 68:34 L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 68:35 ============ Psa 68:35 O God, thou art terrible out of thy holy places: the God of Israel is he that giveth strength and power unto his people. Blessed be God.(KJV-1611) Psa 68:35 Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!(Creole-HT) ======= Psalm 69:1 ============ Psa 69:1 Save me, O God; for the waters are come in unto my soul.(KJV-1611) Psa 69:1 Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 69:2 ============ Psa 69:2 I sink in deep mire, where there is no standing: I am come into deep waters, where the floods overflow me.(KJV-1611) Psa 69:2 M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 69:3 ============ Psa 69:3 I am weary of my crying: my throat is dried: mine eyes fail while I wait for my God.(KJV-1611) Psa 69:3 Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 69:4 ============ Psa 69:4 They that hate me without a cause are more than the hairs of mine head: they that would destroy me, being mine enemies wrongfully, are mighty: then I restored that which I took not away.(KJV-1611) Psa 69:4 Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.(Creole-HT) ======= Psalm 69:5 ============ Psa 69:5 O God, thou knowest my foolishness; and my sins are not hid from thee.(KJV-1611) Psa 69:5 Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= Psalm 69:6 ============ Psa 69:6 Let not them that wait on thee, O Lord GOD of hosts, be ashamed for my sake: let not those that seek thee be confounded for my sake, O God of Israel.(KJV-1611) Psa 69:6 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 69:7 ============ Psa 69:7 Because for thy sake I have borne reproach; shame hath covered my face.(KJV-1611) Psa 69:7 Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 69:8 ============ Psa 69:8 I am become a stranger unto my brethren, and an alien unto my mother's children.(KJV-1611) Psa 69:8 Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:9 ============ Psa 69:9 For the zeal of thine house hath eaten me up; and the reproaches of them that reproached thee are fallen upon me.(KJV-1611) Psa 69:9 Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.(Creole-HT) ======= Psalm 69:10 ============ Psa 69:10 When I wept, and chastened my soul with fasting, that was to my reproach.(KJV-1611) Psa 69:10 Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.(Creole-HT) ======= Psalm 69:11 ============ Psa 69:11 I made sackcloth also my garment; and I became a proverb to them.(KJV-1611) Psa 69:11 Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 69:12 ============ Psa 69:12 They that sit in the gate speak against me; and I was the song of the drunkards.(KJV-1611) Psa 69:12 Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 69:13 ============ Psa 69:13 But as for me, my prayer is unto thee, O LORD, in an acceptable time: O God, in the multitude of thy mercy hear me, in the truth of thy salvation.(KJV-1611) Psa 69:13 Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 69:14 ============ Psa 69:14 Deliver me out of the mire, and let me not sink: let me be delivered from them that hate me, and out of the deep waters.(KJV-1611) Psa 69:14 Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an.(Creole-HT) ======= Psalm 69:15 ============ Psa 69:15 Let not the waterflood overflow me, neither let the deep swallow me up, and let not the pit shut her mouth upon me.(KJV-1611) Psa 69:15 Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 69:16 ============ Psa 69:16 Hear me, O LORD; for thy lovingkindness is good: turn unto me according to the multitude of thy tender mercies.(KJV-1611) Psa 69:16 Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.(Creole-HT) ======= Psalm 69:17 ============ Psa 69:17 And hide not thy face from thy servant; for I am in trouble: hear me speedily.(KJV-1611) Psa 69:17 Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka.(Creole-HT) ======= Psalm 69:18 ============ Psa 69:18 Draw nigh unto my soul, and redeem it: deliver me because of mine enemies.(KJV-1611) Psa 69:18 vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:19 ============ Psa 69:19 Thou hast known my reproach, and my shame, and my dishonour: mine adversaries are all before thee.(KJV-1611) Psa 69:19 Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:20 ============ Psa 69:20 Reproach hath broken my heart; and I am full of heaviness: and I looked for some to take pity, but there was none; and for comforters, but I found none.(KJV-1611) Psa 69:20 Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.(Creole-HT) ======= Psalm 69:21 ============ Psa 69:21 They gave me also gall for my meat; and in my thirst they gave me vinegar to drink.(KJV-1611) Psa 69:21 Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 69:22 ============ Psa 69:22 Let their table become a snare before them: and that which should have been for their welfare, let it become a trap.(KJV-1611) Psa 69:22 Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:23 ============ Psa 69:23 Let their eyes be darkened, that they see not; and make their loins continually to shake.(KJV-1611) Psa 69:23 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 69:24 ============ Psa 69:24 Pour out thine indignation upon them, and let thy wrathful anger take hold of them.(KJV-1611) Psa 69:24 Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 69:25 ============ Psa 69:25 Let their habitation be desolate; and let none dwell in their tents.(KJV-1611) Psa 69:25 Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 69:26 ============ Psa 69:26 For they persecute him whom thou hast smitten; and they talk to the grief of those whom thou hast wounded.(KJV-1611) Psa 69:26 Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.(Creole-HT) ======= Psalm 69:27 ============ Psa 69:27 Add iniquity unto their iniquity: and let them not come into thy righteousness.(KJV-1611) Psa 69:27 Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:28 ============ Psa 69:28 Let them be blotted out of the book of the living, and not be written with the righteous.(KJV-1611) Psa 69:28 Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:29 ============ Psa 69:29 But I am poor and sorrowful: let thy salvation, O God, set me up on high.(KJV-1611) Psa 69:29 Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 69:30 ============ Psa 69:30 I will praise the name of God with a song, and will magnify him with thanksgiving.(KJV-1611) Psa 69:30 M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 69:31 ============ Psa 69:31 This also shall please the LORD better than an ox or bullock that hath horns and hoofs.(KJV-1611) Psa 69:31 Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.(Creole-HT) ======= Psalm 69:32 ============ Psa 69:32 The humble shall see this, and be glad: and your heart shall live that seek God.(KJV-1611) Psa 69:32 Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:33 ============ Psa 69:33 For the LORD heareth the poor, and despiseth not his prisoners.(KJV-1611) Psa 69:33 Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon.(Creole-HT) ======= Psalm 69:34 ============ Psa 69:34 Let the heaven and earth praise him, the seas, and every thing that moveth therein.(KJV-1611) Psa 69:34 Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 69:35 ============ Psa 69:35 For God will save Zion, and will build the cities of Judah: that they may dwell there, and have it in possession.(KJV-1611) Psa 69:35 L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 69:36 ============ Psa 69:36 The seed also of his servants shall inherit it: and they that love his name shall dwell therein.(KJV-1611) Psa 69:36 Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.(Creole-HT) ======= Psalm 70:1 ============ Psa 70:1 MAKE HASTE, O GOD, TO DELIVER ME; MAKE HASTE TO HELP ME, O LORD.(KJV-1611) Psa 70:1 Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 70:2 ============ Psa 70:2 Let them be ashamed and confounded that seek after my soul: let them be turned backward, and put to confusion, that desire my hurt.(KJV-1611) Psa 70:2 Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 70:3 ============ Psa 70:3 Let them be turned back for a reward of their shame that say, Aha, aha.(KJV-1611) Psa 70:3 Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.(Creole-HT) ======= Psalm 70:4 ============ Psa 70:4 Let all those that seek thee rejoice and be glad in thee: and let such as love thy salvation say continually, Let God be magnified.(KJV-1611) Psa 70:4 Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 70:5 ============ Psa 70:5 But I am poor and needy: make haste unto me, O God: thou art my help and my deliverer; O LORD, make no tarrying.(KJV-1611) Psa 70:5 Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 71:1 ============ Psa 71:1 In thee, O LORD, do I put my trust: let me never be put to confusion.(KJV-1611) Psa 71:1 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!(Creole-HT) ======= Psalm 71:2 ============ Psa 71:2 Deliver me in thy righteousness, and cause me to escape: incline thine ear unto me, and save me.(KJV-1611) Psa 71:2 Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!(Creole-HT) ======= Psalm 71:3 ============ Psa 71:3 Be thou my strong habitation, whereunto I may continually resort: thou hast given commandment to save me; for thou art my rock and my fortress.(KJV-1611) Psa 71:3 Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 71:4 ============ Psa 71:4 Deliver me, O my God, out of the hand of the wicked, out of the hand of the unrighteous and cruel man.(KJV-1611) Psa 71:4 Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo.(Creole-HT) ======= Psalm 71:5 ============ Psa 71:5 For thou art my hope, O Lord GOD: thou art my trust from my youth.(KJV-1611) Psa 71:5 Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.(Creole-HT) ======= Psalm 71:6 ============ Psa 71:6 By thee have I been holden up from the womb: thou art he that took me out of my mother's bowels: my praise shall be continually of thee.(KJV-1611) Psa 71:6 Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 71:7 ============ Psa 71:7 I am as a wonder unto many; but thou art my strong refuge.(KJV-1611) Psa 71:7 Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.(Creole-HT) ======= Psalm 71:8 ============ Psa 71:8 Let my mouth be filled with thy praise and with thy honour all the day.(KJV-1611) Psa 71:8 Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 71:9 ============ Psa 71:9 Cast me not off in the time of old age; forsake me not when my strength faileth.(KJV-1611) Psa 71:9 Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'.(Creole-HT) ======= Psalm 71:10 ============ Psa 71:10 For mine enemies speak against me; and they that lay wait for my soul take counsel together,(KJV-1611) Psa 71:10 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 71:11 ============ Psa 71:11 Saying, God hath forsaken him: persecute and take him; for there is none to deliver him.(KJV-1611) Psa 71:11 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.(Creole-HT) ======= Psalm 71:12 ============ Psa 71:12 O God, be not far from me: O my God, make haste for my help.(KJV-1611) Psa 71:12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 71:13 ============ Psa 71:13 Let them be confounded and consumed that are adversaries to my soul; let them be covered with reproach and dishonour that seek my hurt.(KJV-1611) Psa 71:13 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 71:14 ============ Psa 71:14 But I will hope continually, and will yet praise thee more and more.(KJV-1611) Psa 71:14 M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 71:15 ============ Psa 71:15 My mouth shall shew forth thy righteousness and thy salvation all the day; for I know not the numbers thereof.(KJV-1611) Psa 71:15 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 71:16 ============ Psa 71:16 I will go in the strength of the Lord GOD: I will make mention of thy righteousness, even of thine only.(KJV-1611) Psa 71:16 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Psalm 71:17 ============ Psa 71:17 O God, thou hast taught me from my youth: and hitherto have I declared thy wondrous works.(KJV-1611) Psa 71:17 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 71:18 ============ Psa 71:18 Now also when I am old and greyheaded, O God, forsake me not; until I have shewed thy strength unto this generation, and thy power to every one that is to come.(KJV-1611) Psa 71:18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,(Creole-HT) ======= Psalm 71:19 ============ Psa 71:19 Thy righteousness also, O God, is very high, who hast done great things: O God, who is like unto thee!(KJV-1611) Psa 71:19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!(Creole-HT) ======= Psalm 71:20 ============ Psa 71:20 Thou, which hast shewed me great and sore troubles, shalt quicken me again, and shalt bring me up again from the depths of the earth.(KJV-1611) Psa 71:20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.(Creole-HT) ======= Psalm 71:21 ============ Psa 71:21 Thou shalt increase my greatness, and comfort me on every side.(KJV-1611) Psa 71:21 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 71:22 ============ Psa 71:22 I will also praise thee with the psaltery, even thy truth, O my God: unto thee will I sing with the harp, O thou Holy One of Israel.(KJV-1611) Psa 71:22 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 71:23 ============ Psa 71:23 My lips shall greatly rejoice when I sing unto thee; and my soul, which thou hast redeemed.(KJV-1611) Psa 71:23 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 71:24 ============ Psa 71:24 My tongue also shall talk of thy righteousness all the day long: for they are confounded, for they are brought unto shame, that seek my hurt.(KJV-1611) Psa 71:24 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Psalm 72:1 ============ Psa 72:1 Give the king thy judgments, O God, and thy righteousness unto the king's son.(KJV-1611) Psa 72:1 Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!(Creole-HT) ======= Psalm 72:2 ============ Psa 72:2 He shall judge thy people with righteousness, and thy poor with judgment.(KJV-1611) Psa 72:2 Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 72:3 ============ Psa 72:3 The mountains shall bring peace to the people, and the little hills, by righteousness.(KJV-1611) Psa 72:3 Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 72:4 ============ Psa 72:4 He shall judge the poor of the people, he shall save the children of the needy, and shall break in pieces the oppressor.(KJV-1611) Psa 72:4 Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.(Creole-HT) ======= Psalm 72:5 ============ Psa 72:5 They shall fear thee as long as the sun and moon endure, throughout all generations.(KJV-1611) Psa 72:5 Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 72:6 ============ Psa 72:6 He shall come down like rain upon the mown grass: as showers that water the earth.(KJV-1611) Psa 72:6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 72:7 ============ Psa 72:7 In his days shall the righteous flourish; and abundance of peace so long as the moon endureth.(KJV-1611) Psa 72:7 Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.(Creole-HT) ======= Psalm 72:8 ============ Psa 72:8 He shall have dominion also from sea to sea, and from the river unto the ends of the earth.(KJV-1611) Psa 72:8 L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 72:9 ============ Psa 72:9 They that dwell in the wilderness shall bow before him; and his enemies shall lick the dust.(KJV-1611) Psa 72:9 Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.(Creole-HT) ======= Psalm 72:10 ============ Psa 72:10 The kings of Tarshish and of the isles shall bring presents: the kings of Sheba and Seba shall offer gifts.(KJV-1611) Psa 72:10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.(Creole-HT) ======= Psalm 72:11 ============ Psa 72:11 Yea, all kings shall fall down before him: all nations shall serve him.(KJV-1611) Psa 72:11 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.(Creole-HT) ======= Psalm 72:12 ============ Psa 72:12 For he shall deliver the needy when he crieth; the poor also, and him that hath no helper.(KJV-1611) Psa 72:12 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 72:13 ============ Psa 72:13 He shall spare the poor and needy, and shall save the souls of the needy.(KJV-1611) Psa 72:13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.(Creole-HT) ======= Psalm 72:14 ============ Psa 72:14 He shall redeem their soul from deceit and violence: and precious shall their blood be in his sight.(KJV-1611) Psa 72:14 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!(Creole-HT) ======= Psalm 72:15 ============ Psa 72:15 And he shall live, and to him shall be given of the gold of Sheba: prayer also shall be made for him continually; and daily shall he be praised.(KJV-1611) Psa 72:15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.(Creole-HT) ======= Psalm 72:16 ============ Psa 72:16 There shall be an handful of corn in the earth upon the top of the mountains; the fruit thereof shall shake like Lebanon: and they of the city shall flourish like grass of the earth.(KJV-1611) Psa 72:16 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.(Creole-HT) ======= Psalm 72:17 ============ Psa 72:17 His name shall endure for ever: his name shall be continued as long as the sun: and men shall be blessed in him: all nations shall call him blessed.(KJV-1611) Psa 72:17 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.(Creole-HT) ======= Psalm 72:18 ============ Psa 72:18 Blessed be the LORD God, the God of Israel, who only doeth wondrous things.(KJV-1611) Psa 72:18 Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 72:19 ============ Psa 72:19 And blessed be his glorious name for ever: and let the whole earth be filled with his glory; Amen, and Amen.(KJV-1611) Psa 72:19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!(Creole-HT) ======= Psalm 72:20 ============ Psa 72:20 The prayers of David the son of Jesse are ended.(KJV-1611) Psa 72:20 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.(Creole-HT) ======= Psalm 73:1 ============ Psa 73:1 Truly God is good to Israel, even to such as are of a clean heart.(KJV-1611) Psa 73:1 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.(Creole-HT) ======= Psalm 73:2 ============ Psa 73:2 But as for me, my feet were almost gone; my steps had well nigh slipped.(KJV-1611) Psa 73:2 Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,(Creole-HT) ======= Psalm 73:3 ============ Psa 73:3 For I was envious at the foolish, when I saw the prosperity of the wicked.(KJV-1611) Psa 73:3 paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.(Creole-HT) ======= Psalm 73:4 ============ Psa 73:4 For there are no bands in their death: but their strength is firm.(KJV-1611) Psa 73:4 Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.(Creole-HT) ======= Psalm 73:5 ============ Psa 73:5 They are not in trouble as other men; neither are they plagued like other men.(KJV-1611) Psa 73:5 Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.(Creole-HT) ======= Psalm 73:6 ============ Psa 73:6 Therefore pride compasseth them about as a chain; violence covereth them as a garment.(KJV-1611) Psa 73:6 Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.(Creole-HT) ======= Psalm 73:7 ============ Psa 73:7 Their eyes stand out with fatness: they have more than heart could wish.(KJV-1611) Psa 73:7 Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 73:8 ============ Psa 73:8 They are corrupt, and speak wickedly concerning oppression: they speak loftily.(KJV-1611) Psa 73:8 Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.(Creole-HT) ======= Psalm 73:9 ============ Psa 73:9 They set their mouth against the heavens, and their tongue walketh through the earth.(KJV-1611) Psa 73:9 Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.(Creole-HT) ======= Psalm 73:10 ============ Psa 73:10 Therefore his people return hither: and waters of a full cup are wrung out to them.(KJV-1611) Psa 73:10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.(Creole-HT) ======= Psalm 73:11 ============ Psa 73:11 And they say, How doth God know? and is there knowledge in the most High?(KJV-1611) Psa 73:11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?(Creole-HT) ======= Psalm 73:12 ============ Psa 73:12 Behold, these are the ungodly, who prosper in the world; they increase in riches.(KJV-1611) Psa 73:12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.(Creole-HT) ======= Psalm 73:13 ============ Psa 73:13 Verily I have cleansed my heart in vain, and washed my hands in innocency.(KJV-1611) Psa 73:13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?(Creole-HT) ======= Psalm 73:14 ============ Psa 73:14 For all the day long have I been plagued, and chastened every morning.(KJV-1611) Psa 73:14 Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 73:15 ============ Psa 73:15 If I say, I will speak thus; behold, I should offend against the generation of thy children.(KJV-1611) Psa 73:15 Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 73:16 ============ Psa 73:16 When I thought to know this, it was too painful for me;(KJV-1611) Psa 73:16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,(Creole-HT) ======= Psalm 73:17 ============ Psa 73:17 Until I went into the sanctuary of God; then understood I their end.(KJV-1611) Psa 73:17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.(Creole-HT) ======= Psalm 73:18 ============ Psa 73:18 Surely thou didst set them in slippery places: thou castedst them down into destruction.(KJV-1611) Psa 73:18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.(Creole-HT) ======= Psalm 73:19 ============ Psa 73:19 How are they brought into desolation, as in a moment! they are utterly consumed with terrors.(KJV-1611) Psa 73:19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.(Creole-HT) ======= Psalm 73:20 ============ Psa 73:20 As a dream when one awaketh; so, O Lord, when thou awakest, thou shalt despise their image.(KJV-1611) Psa 73:20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.(Creole-HT) ======= Psalm 73:21 ============ Psa 73:21 Thus my heart was grieved, and I was pricked in my reins.(KJV-1611) Psa 73:21 Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 73:22 ============ Psa 73:22 So foolish was I, and ignorant: I was as a beast before thee.(KJV-1611) Psa 73:22 Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 73:23 ============ Psa 73:23 Nevertheless I am continually with thee: thou hast holden me by my right hand.(KJV-1611) Psa 73:23 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 73:24 ============ Psa 73:24 Thou shalt guide me with thy counsel, and afterward receive me to glory.(KJV-1611) Psa 73:24 Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.(Creole-HT) ======= Psalm 73:25 ============ Psa 73:25 Whom have I in heaven but thee? and there is none upon earth that I desire beside thee.(KJV-1611) Psa 73:25 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 73:26 ============ Psa 73:26 My flesh and my heart faileth: but God is the strength of my heart, and my portion for ever.(KJV-1611) Psa 73:26 Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 73:27 ============ Psa 73:27 For, lo, they that are far from thee shall perish: thou hast destroyed all them that go a whoring from thee.(KJV-1611) Psa 73:27 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.(Creole-HT) ======= Psalm 73:28 ============ Psa 73:28 But it is good for me to draw near to God: I have put my trust in the Lord GOD, that I may declare all thy works.(KJV-1611) Psa 73:28 Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Psalm 74:1 ============ Psa 74:1 O God, why hast thou cast us off for ever? why doth thine anger smoke against the sheep of thy pasture?(KJV-1611) Psa 74:1 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?(Creole-HT) ======= Psalm 74:2 ============ Psa 74:2 Remember thy congregation, which thou hast purchased of old; the rod of thine inheritance, which thou hast redeemed; this mount Zion, wherein thou hast dwelt.(KJV-1611) Psa 74:2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!(Creole-HT) ======= Psalm 74:3 ============ Psa 74:3 Lift up thy feet unto the perpetual desolations; even all that the enemy hath done wickedly in the sanctuary.(KJV-1611) Psa 74:3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 74:4 ============ Psa 74:4 Thine enemies roar in the midst of thy congregations; they set up their ensigns for signs.(KJV-1611) Psa 74:4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 74:5 ============ Psa 74:5 A man was famous according as he had lifted up axes upon the thick trees.(KJV-1611) Psa 74:5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.(Creole-HT) ======= Psalm 74:6 ============ Psa 74:6 But now they break down the carved work thereof at once with axes and hammers.(KJV-1611) Psa 74:6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.(Creole-HT) ======= Psalm 74:7 ============ Psa 74:7 They have cast fire into thy sanctuary, they have defiled by casting down the dwelling place of thy name to the ground.(KJV-1611) Psa 74:7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.(Creole-HT) ======= Psalm 74:8 ============ Psa 74:8 They said in their hearts, Let us destroy them together: they have burned up all the synagogues of God in the land.(KJV-1611) Psa 74:8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!(Creole-HT) ======= Psalm 74:9 ============ Psa 74:9 We see not our signs: there is no more any prophet: neither is there among us any that knoweth how long.(KJV-1611) Psa 74:9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.(Creole-HT) ======= Psalm 74:10 ============ Psa 74:10 O God, how long shall the adversary reproach? shall the enemy blaspheme thy name for ever?(KJV-1611) Psa 74:10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?(Creole-HT) ======= Psalm 74:11 ============ Psa 74:11 Why withdrawest thou thy hand, even thy right hand? pluck it out of thy bosom.(KJV-1611) Psa 74:11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?(Creole-HT) ======= Psalm 74:12 ============ Psa 74:12 For God is my King of old, working salvation in the midst of the earth.(KJV-1611) Psa 74:12 Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 74:13 ============ Psa 74:13 Thou didst divide the sea by thy strength: thou brakest the heads of the dragons in the waters.(KJV-1611) Psa 74:13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 74:14 ============ Psa 74:14 Thou brakest the heads of leviathan in pieces, and gavest him to be meat to the people inhabiting the wilderness.(KJV-1611) Psa 74:14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.(Creole-HT) ======= Psalm 74:15 ============ Psa 74:15 Thou didst cleave the fountain and the flood: thou driedst up mighty rivers.(KJV-1611) Psa 74:15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.(Creole-HT) ======= Psalm 74:16 ============ Psa 74:16 The day is thine, the night also is thine: thou hast prepared the light and the sun.(KJV-1611) Psa 74:16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.(Creole-HT) ======= Psalm 74:17 ============ Psa 74:17 Thou hast set all the borders of the earth: thou hast made summer and winter.(KJV-1611) Psa 74:17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.(Creole-HT) ======= Psalm 74:18 ============ Psa 74:18 Remember this, that the enemy hath reproached, O LORD, and that the foolish people have blasphemed thy name.(KJV-1611) Psa 74:18 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!(Creole-HT) ======= Psalm 74:19 ============ Psa 74:19 O deliver not the soul of thy turtledove unto the multitude of the wicked: forget not the congregation of thy poor for ever.(KJV-1611) Psa 74:19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 74:20 ============ Psa 74:20 Have respect unto the covenant: for the dark places of the earth are full of the habitations of cruelty.(KJV-1611) Psa 74:20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.(Creole-HT) ======= Psalm 74:21 ============ Psa 74:21 O let not the oppressed return ashamed: let the poor and needy praise thy name.(KJV-1611) Psa 74:21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 74:22 ============ Psa 74:22 Arise, O God, plead thine own cause: remember how the foolish man reproacheth thee daily.(KJV-1611) Psa 74:22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!(Creole-HT) ======= Psalm 74:23 ============ Psa 74:23 Forget not the voice of thine enemies: the tumult of those that rise up against thee increaseth continually.(KJV-1611) Psa 74:23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.(Creole-HT) ======= Psalm 75:1 ============ Psa 75:1 Unto thee, O God, do we give thanks, unto thee do we give thanks: for that thy name is near thy wondrous works declare.(KJV-1611) Psa 75:1 N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!(Creole-HT) ======= Psalm 75:2 ============ Psa 75:2 When I shall receive the congregation I will judge uprightly.(KJV-1611) Psa 75:2 Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 75:3 ============ Psa 75:3 The earth and all the inhabitants thereof are dissolved: I bear up the pillars of it. Selah.(KJV-1611) Psa 75:3 Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.(Creole-HT) ======= Psalm 75:4 ============ Psa 75:4 I said unto the fools, Deal not foolishly: and to the wicked, Lift not up the horn:(KJV-1611) Psa 75:4 M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!(Creole-HT) ======= Psalm 75:5 ============ Psa 75:5 Lift not up your horn on high: speak not with a stiff neck.(KJV-1611) Psa 75:5 Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!(Creole-HT) ======= Psalm 75:6 ============ Psa 75:6 For promotion cometh neither from the east, nor from the west, nor from the south.(KJV-1611) Psa 75:6 Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.(Creole-HT) ======= Psalm 75:7 ============ Psa 75:7 But God is the judge: he putteth down one, and setteth up another.(KJV-1611) Psa 75:7 Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.(Creole-HT) ======= Psalm 75:8 ============ Psa 75:8 For in the hand of the LORD there is a cup, and the wine is red; it is full of mixture; and he poureth out of the same: but the dregs thereof, all the wicked of the earth shall wring them out, and drink them.(KJV-1611) Psa 75:8 Seyè a kenbe yon gode nan men l'. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.(Creole-HT) ======= Psalm 75:9 ============ Psa 75:9 But I will declare for ever; I will sing praises to the God of Jacob.(KJV-1611) Psa 75:9 Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 75:10 ============ Psa 75:10 All the horns of the wicked also will I cut off; but the horns of the righteous shall be exalted.(KJV-1611) Psa 75:10 L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 76:1 ============ Psa 76:1 In Judah is God known: his name is great in Israel.(KJV-1611) Psa 76:1 Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Psalm 76:2 ============ Psa 76:2 In Salem also is his tabernacle, and his dwelling place in Zion.(KJV-1611) Psa 76:2 Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon.(Creole-HT) ======= Psalm 76:3 ============ Psa 76:3 There brake he the arrows of the bow, the shield, and the sword, and the battle. Selah.(KJV-1611) Psa 76:3 Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Psalm 76:4 ============ Psa 76:4 Thou art more glorious and excellent than the mountains of prey.(KJV-1611) Psa 76:4 Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 76:5 ============ Psa 76:5 The stouthearted are spoiled, they have slept their sleep: and none of the men of might have found their hands.(KJV-1611) Psa 76:5 Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 76:6 ============ Psa 76:6 At thy rebuke, O God of Jacob, both the chariot and horse are cast into a dead sleep.(KJV-1611) Psa 76:6 Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.(Creole-HT) ======= Psalm 76:7 ============ Psa 76:7 Thou, even thou, art to be feared: and who may stand in thy sight when once thou art angry?(KJV-1611) Psa 76:7 Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?(Creole-HT) ======= Psalm 76:8 ============ Psa 76:8 Thou didst cause judgment to be heard from heaven; the earth feared, and was still,(KJV-1611) Psa 76:8 Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,(Creole-HT) ======= Psalm 76:9 ============ Psa 76:9 When God arose to judgment, to save all the meek of the earth. Selah.(KJV-1611) Psa 76:9 lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 76:10 ============ Psa 76:10 Surely the wrath of man shall praise thee: the remainder of wrath shalt thou restrain.(KJV-1611) Psa 76:10 Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 76:11 ============ Psa 76:11 Vow, and pay unto the LORD your God: let all that be round about him bring presents unto him that ought to be feared.(KJV-1611) Psa 76:11 Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 76:12 ============ Psa 76:12 He shall cut off the spirit of princes: he is terrible to the kings of the earth.(KJV-1611) Psa 76:12 Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.(Creole-HT) ======= Psalm 77:1 ============ Psa 77:1 I cried unto God with my voice, even unto God with my voice; and he gave ear unto me.(KJV-1611) Psa 77:1 Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 77:2 ============ Psa 77:2 In the day of my trouble I sought the Lord: my sore ran in the night, and ceased not: my soul refused to be comforted.(KJV-1611) Psa 77:2 Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.(Creole-HT) ======= Psalm 77:3 ============ Psa 77:3 I remembered God, and was troubled: I complained, and my spirit was overwhelmed. Selah.(KJV-1611) Psa 77:3 Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!(Creole-HT) ======= Psalm 77:4 ============ Psa 77:4 Thou holdest mine eyes waking: I am so troubled that I cannot speak.(KJV-1611) Psa 77:4 Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.(Creole-HT) ======= Psalm 77:5 ============ Psa 77:5 I have considered the days of old, the years of ancient times.(KJV-1611) Psa 77:5 M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo.(Creole-HT) ======= Psalm 77:6 ============ Psa 77:6 I call to remembrance my song in the night: I commune with mine own heart: and my spirit made diligent search.(KJV-1611) Psa 77:6 Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:(Creole-HT) ======= Psalm 77:7 ============ Psa 77:7 Will the Lord cast off for ever? and will he be favourable no more?(KJV-1611) Psa 77:7 Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 77:8 ============ Psa 77:8 Is his mercy clean gone for ever? doth his promise fail for evermore?(KJV-1611) Psa 77:8 Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 77:9 ============ Psa 77:9 Hath God forgotten to be gracious? hath he in anger shut up his tender mercies? Selah.(KJV-1611) Psa 77:9 Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?(Creole-HT) ======= Psalm 77:10 ============ Psa 77:10 And I said, This is my infirmity: but I will remember the years of the right hand of the most High.(KJV-1611) Psa 77:10 Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 77:11 ============ Psa 77:11 I will remember the works of the LORD: surely I will remember thy wonders of old.(KJV-1611) Psa 77:11 Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 77:12 ============ Psa 77:12 I will meditate also of all thy work, and talk of thy doings.(KJV-1611) Psa 77:12 M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!(Creole-HT) ======= Psalm 77:13 ============ Psa 77:13 Thy way, O God, is in the sanctuary: who is so great a God as our God?(KJV-1611) Psa 77:13 Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!(Creole-HT) ======= Psalm 77:14 ============ Psa 77:14 Thou art the God that doest wonders: thou hast declared thy strength among the people.(KJV-1611) Psa 77:14 Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 77:15 ============ Psa 77:15 Thou hast with thine arm redeemed thy people, the sons of Jacob and Joseph. Selah.(KJV-1611) Psa 77:15 Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.(Creole-HT) ======= Psalm 77:16 ============ Psa 77:16 The waters saw thee, O God, the waters saw thee; they were afraid: the depths also were troubled.(KJV-1611) Psa 77:16 Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.(Creole-HT) ======= Psalm 77:17 ============ Psa 77:17 The clouds poured out water: the skies sent out a sound: thine arrows also went abroad.(KJV-1611) Psa 77:17 Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 77:18 ============ Psa 77:18 The voice of thy thunder was in the heaven: the lightnings lightened the world: the earth trembled and shook.(KJV-1611) Psa 77:18 Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.(Creole-HT) ======= Psalm 77:19 ============ Psa 77:19 Thy way is in the sea, and thy path in the great waters, and thy footsteps are not known.(KJV-1611) Psa 77:19 Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.(Creole-HT) ======= Psalm 77:20 ============ Psa 77:20 Thou leddest thy people like a flock by the hand of Moses and Aaron.(KJV-1611) Psa 77:20 Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.(Creole-HT) ======= Psalm 78:1 ============ Psa 78:1 Give ear, O my people, to my law: incline your ears to the words of my mouth.(KJV-1611) Psa 78:1 Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di!(Creole-HT) ======= Psalm 78:2 ============ Psa 78:2 I will open my mouth in a parable: I will utter dark sayings of old:(KJV-1611) Psa 78:2 Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,(Creole-HT) ======= Psalm 78:3 ============ Psa 78:3 Which we have heard and known, and our fathers have told us.(KJV-1611) Psa 78:3 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.(Creole-HT) ======= Psalm 78:4 ============ Psa 78:4 We will not hide them from their children, shewing to the generation to come the praises of the LORD, and his strength, and his wonderful works that he hath done.(KJV-1611) Psa 78:4 Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.(Creole-HT) ======= Psalm 78:5 ============ Psa 78:5 For he established a testimony in Jacob, and appointed a law in Israel, which he commanded our fathers, that they should make them known to their children:(KJV-1611) Psa 78:5 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a,(Creole-HT) ======= Psalm 78:6 ============ Psa 78:6 That the generation to come might know them, even the children which should be born; who should arise and declare them to their children:(KJV-1611) Psa 78:6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.(Creole-HT) ======= Psalm 78:7 ============ Psa 78:7 That they might set their hope in God, and not forget the works of God, but keep his commandments:(KJV-1611) Psa 78:7 Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:8 ============ Psa 78:8 And might not be as their fathers, a stubborn and rebellious generation; a generation that set not their heart aright, and whose spirit was not stedfast with God.(KJV-1611) Psa 78:8 Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 78:9 ============ Psa 78:9 The children of Ephraim, being armed, and carrying bows, turned back in the day of battle.(KJV-1611) Psa 78:9 Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.(Creole-HT) ======= Psalm 78:10 ============ Psa 78:10 They kept not the covenant of God, and refused to walk in his law;(KJV-1611) Psa 78:10 Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:11 ============ Psa 78:11 And forgat his works, and his wonders that he had shewed them.(KJV-1611) Psa 78:11 Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:12 ============ Psa 78:12 Marvellous things did he in the sight of their fathers, in the land of Egypt, in the field of Zoan.(KJV-1611) Psa 78:12 Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.(Creole-HT) ======= Psalm 78:13 ============ Psa 78:13 He divided the sea, and caused them to pass through; and he made the waters to stand as an heap.(KJV-1611) Psa 78:13 Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.(Creole-HT) ======= Psalm 78:14 ============ Psa 78:14 In the daytime also he led them with a cloud, and all the night with a light of fire.(KJV-1611) Psa 78:14 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:15 ============ Psa 78:15 He clave the rocks in the wilderness, and gave them drink as out of the great depths.(KJV-1611) Psa 78:15 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:16 ============ Psa 78:16 He brought streams also out of the rock, and caused waters to run down like rivers.(KJV-1611) Psa 78:16 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:17 ============ Psa 78:17 And they sinned yet more against him by provoking the most High in the wilderness.(KJV-1611) Psa 78:17 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.(Creole-HT) ======= Psalm 78:18 ============ Psa 78:18 And they tempted God in their heart by asking meat for their lust.(KJV-1611) Psa 78:18 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a.(Creole-HT) ======= Psalm 78:19 ============ Psa 78:19 Yea, they spake against God; they said, Can God furnish a table in the wilderness?(KJV-1611) Psa 78:19 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?(Creole-HT) ======= Psalm 78:20 ============ Psa 78:20 Behold, he smote the rock, that the waters gushed out, and the streams overflowed; can he give bread also? can he provide flesh for his people?(KJV-1611) Psa 78:20 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?(Creole-HT) ======= Psalm 78:21 ============ Psa 78:21 Therefore the LORD heard this, and was wroth: so a fire was kindled against Jacob, and anger also came up against Israel;(KJV-1611) Psa 78:21 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,(Creole-HT) ======= Psalm 78:22 ============ Psa 78:22 Because they believed not in God, and trusted not in his salvation:(KJV-1611) Psa 78:22 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:23 ============ Psa 78:23 Though he had commanded the clouds from above, and opened the doors of heaven,(KJV-1611) Psa 78:23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 78:24 ============ Psa 78:24 And had rained down manna upon them to eat, and had given them of the corn of heaven.(KJV-1611) Psa 78:24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 78:25 ============ Psa 78:25 Man did eat angels' food: he sent them meat to the full.(KJV-1611) Psa 78:25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:26 ============ Psa 78:26 He caused an east wind to blow in the heaven: and by his power he brought in the south wind.(KJV-1611) Psa 78:26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.(Creole-HT) ======= Psalm 78:27 ============ Psa 78:27 He rained flesh also upon them as dust, and feathered fowls like as the sand of the sea:(KJV-1611) Psa 78:27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:28 ============ Psa 78:28 And he let it fall in the midst of their camp, round about their habitations.(KJV-1611) Psa 78:28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:29 ============ Psa 78:29 So they did eat, and were well filled: for he gave them their own desire;(KJV-1611) Psa 78:29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.(Creole-HT) ======= Psalm 78:30 ============ Psa 78:30 They were not estranged from their lust. But while their meat was yet in their mouths,(KJV-1611) Psa 78:30 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,(Creole-HT) ======= Psalm 78:31 ============ Psa 78:31 The wrath of God came upon them, and slew the fattest of them, and smote down the chosen men of Israel.(KJV-1611) Psa 78:31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 78:32 ============ Psa 78:32 For all this they sinned still, and believed not for his wondrous works.(KJV-1611) Psa 78:32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:33 ============ Psa 78:33 Therefore their days did he consume in vanity, and their years in trouble.(KJV-1611) Psa 78:33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.(Creole-HT) ======= Psalm 78:34 ============ Psa 78:34 When he slew them, then they sought him: and they returned and enquired early after God.(KJV-1611) Psa 78:34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.(Creole-HT) ======= Psalm 78:35 ============ Psa 78:35 And they remembered that God was their rock, and the high God their redeemer.(KJV-1611) Psa 78:35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:36 ============ Psa 78:36 Nevertheless they did flatter him with their mouth, and they lied unto him with their tongues.(KJV-1611) Psa 78:36 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.(Creole-HT) ======= Psalm 78:37 ============ Psa 78:37 For their heart was not right with him, neither were they stedfast in his covenant.(KJV-1611) Psa 78:37 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:38 ============ Psa 78:38 But he, being full of compassion, forgave their iniquity, and destroyed them not: yea, many a time turned he his anger away, and did not stir up all his wrath.(KJV-1611) Psa 78:38 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:39 ============ Psa 78:39 For he remembered that they were but flesh; a wind that passeth away, and cometh not again.(KJV-1611) Psa 78:39 Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.(Creole-HT) ======= Psalm 78:40 ============ Psa 78:40 How oft did they provoke him in the wilderness, and grieve him in the desert!(KJV-1611) Psa 78:40 Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!(Creole-HT) ======= Psalm 78:41 ============ Psa 78:41 Yea, they turned back and tempted God, and limited the Holy One of Israel.(KJV-1611) Psa 78:41 Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!(Creole-HT) ======= Psalm 78:42 ============ Psa 78:42 They remembered not his hand, nor the day when he delivered them from the enemy.(KJV-1611) Psa 78:42 Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,(Creole-HT) ======= Psalm 78:43 ============ Psa 78:43 How he had wrought his signs in Egypt, and his wonders in the field of Zoan.(KJV-1611) Psa 78:43 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.(Creole-HT) ======= Psalm 78:44 ============ Psa 78:44 And had turned their rivers into blood; and their floods, that they could not drink.(KJV-1611) Psa 78:44 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:45 ============ Psa 78:45 He sent divers sorts of flies among them, which devoured them; and frogs, which destroyed them.(KJV-1611) Psa 78:45 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:46 ============ Psa 78:46 He gave also their increase unto the caterpiller, and their labour unto the locust.(KJV-1611) Psa 78:46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:47 ============ Psa 78:47 He destroyed their vines with hail, and their sycomore trees with frost.(KJV-1611) Psa 78:47 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.(Creole-HT) ======= Psalm 78:48 ============ Psa 78:48 He gave up their cattle also to the hail, and their flocks to hot thunderbolts.(KJV-1611) Psa 78:48 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray.(Creole-HT) ======= Psalm 78:49 ============ Psa 78:49 He cast upon them the fierceness of his anger, wrath, and indignation, and trouble, by sending evil angels among them.(KJV-1611) Psa 78:49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:50 ============ Psa 78:50 He made a way to his anger; he spared not their soul from death, but gave their life over to the pestilence;(KJV-1611) Psa 78:50 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:51 ============ Psa 78:51 And smote all the firstborn in Egypt; the chief of their strength in the tabernacles of Ham:(KJV-1611) Psa 78:51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.(Creole-HT) ======= Psalm 78:52 ============ Psa 78:52 But made his own people to go forth like sheep, and guided them in the wilderness like a flock.(KJV-1611) Psa 78:52 Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.(Creole-HT) ======= Psalm 78:53 ============ Psa 78:53 And he led them on safely, so that they feared not: but the sea overwhelmed their enemies.(KJV-1611) Psa 78:53 Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:54 ============ Psa 78:54 And he brought them to the border of his sanctuary, even to this mountain, which his right hand had purchased.(KJV-1611) Psa 78:54 Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a.(Creole-HT) ======= Psalm 78:55 ============ Psa 78:55 He cast out the heathen also before them, and divided them an inheritance by line, and made the tribes of Israel to dwell in their tents.(KJV-1611) Psa 78:55 Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.(Creole-HT) ======= Psalm 78:56 ============ Psa 78:56 Yet they tempted and provoked the most high God, and kept not his testimonies:(KJV-1611) Psa 78:56 Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè!(Creole-HT) ======= Psalm 78:57 ============ Psa 78:57 But turned back, and dealt unfaithfully like their fathers: they were turned aside like a deceitful bow.(KJV-1611) Psa 78:57 Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.(Creole-HT) ======= Psalm 78:58 ============ Psa 78:58 For they provoked him to anger with their high places, and moved him to jealousy with their graven images.(KJV-1611) Psa 78:58 Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:59 ============ Psa 78:59 When God heard this, he was wroth, and greatly abhorred Israel:(KJV-1611) Psa 78:59 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.(Creole-HT) ======= Psalm 78:60 ============ Psa 78:60 So that he forsook the tabernacle of Shiloh, the tent which he placed among men;(KJV-1611) Psa 78:60 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 78:61 ============ Psa 78:61 And delivered his strength into captivity, and his glory into the enemy's hand.(KJV-1611) Psa 78:61 Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale.(Creole-HT) ======= Psalm 78:62 ============ Psa 78:62 He gave his people over also unto the sword; and was wroth with his inheritance.(KJV-1611) Psa 78:62 Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.(Creole-HT) ======= Psalm 78:63 ============ Psa 78:63 The fire consumed their young men; and their maidens were not given to marriage.(KJV-1611) Psa 78:63 Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:64 ============ Psa 78:64 Their priests fell by the sword; and their widows made no lamentation.(KJV-1611) Psa 78:64 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 78:65 ============ Psa 78:65 Then the LORD awaked as one out of sleep, and like a mighty man that shouteth by reason of wine.(KJV-1611) Psa 78:65 Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.(Creole-HT) ======= Psalm 78:66 ============ Psa 78:66 And he smote his enemies in the hinder parts: he put them to a perpetual reproach.(KJV-1611) Psa 78:66 Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 78:67 ============ Psa 78:67 Moreover he refused the tabernacle of Joseph, and chose not the tribe of Ephraim:(KJV-1611) Psa 78:67 Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Psalm 78:68 ============ Psa 78:68 But chose the tribe of Judah, the mount Zion which he loved.(KJV-1611) Psa 78:68 Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.(Creole-HT) ======= Psalm 78:69 ============ Psa 78:69 And he built his sanctuary like high palaces, like the earth which he hath established for ever.(KJV-1611) Psa 78:69 Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 78:70 ============ Psa 78:70 He chose David also his servant, and took him from the sheepfolds:(KJV-1611) Psa 78:70 Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,(Creole-HT) ======= Psalm 78:71 ============ Psa 78:71 From following the ewes great with young he brought him to feed Jacob his people, and Israel his inheritance.(KJV-1611) Psa 78:71 dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 78:72 ============ Psa 78:72 So he fed them according to the integrity of his heart; and guided them by the skilfulness of his hands.(KJV-1611) Psa 78:72 David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.(Creole-HT) ======= Psalm 79:1 ============ Psa 79:1 O god, the heathen are come into thine inheritance; thy holy temple have they defiled; they have laid Jerusalem on heaps.(KJV-1611) Psa 79:1 Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.(Creole-HT) ======= Psalm 79:2 ============ Psa 79:2 The dead bodies of thy servants have they given to be meat unto the fowls of the heaven, the flesh of thy saints unto the beasts of the earth.(KJV-1611) Psa 79:2 Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.(Creole-HT) ======= Psalm 79:3 ============ Psa 79:3 Their blood have they shed like water round about Jerusalem; and there was none to bury them.(KJV-1611) Psa 79:3 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo!(Creole-HT) ======= Psalm 79:4 ============ Psa 79:4 We are become a reproach to our neighbours, a scorn and derision to them that are round about us.(KJV-1611) Psa 79:4 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 79:5 ============ Psa 79:5 How long, LORD? wilt thou be angry for ever? shall thy jealousy burn like fire?(KJV-1611) Psa 79:5 Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?(Creole-HT) ======= Psalm 79:6 ============ Psa 79:6 Pour out thy wrath upon the heathen that have not known thee, and upon the kingdoms that have not called upon thy name.(KJV-1611) Psa 79:6 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 79:7 ============ Psa 79:7 For they have devoured Jacob, and laid waste his dwelling place.(KJV-1611) Psa 79:7 Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.(Creole-HT) ======= Psalm 79:8 ============ Psa 79:8 O remember not against us former iniquities: let thy tender mercies speedily prevent us: for we are brought very low.(KJV-1611) Psa 79:8 Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 79:9 ============ Psa 79:9 Help us, O God of our salvation, for the glory of thy name: and deliver us, and purge away our sins, for thy name's sake.(KJV-1611) Psa 79:9 O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 79:10 ============ Psa 79:10 Wherefore should the heathen say, Where is their God? let him be known among the heathen in our sight by the revenging of the blood of thy servants which is shed.(KJV-1611) Psa 79:10 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!(Creole-HT) ======= Psalm 79:11 ============ Psa 79:11 Let the sighing of the prisoner come before thee; according to the greatness of thy power preserve thou those that are appointed to die;(KJV-1611) Psa 79:11 Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.(Creole-HT) ======= Psalm 79:12 ============ Psa 79:12 And render unto our neighbours sevenfold into their bosom their reproach, wherewith they have reproached thee, O Lord.(KJV-1611) Psa 79:12 Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 79:13 ============ Psa 79:13 So we thy people and sheep of thy pasture will give thee thanks for ever: we will shew forth thy praise to all generations.(KJV-1611) Psa 79:13 Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 80:1 ============ Psa 80:1 Give ear, O Shepherd of Israel, thou that leadest Joseph like a flock; thou that dwellest between the cherubims, shine forth.(KJV-1611) Psa 80:1 Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 80:2 ============ Psa 80:2 Before Ephraim and Benjamin and Manasseh stir up thy strength, and come and save us.(KJV-1611) Psa 80:2 Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 80:3 ============ Psa 80:3 Turn us again, O God, and cause thy face to shine; and we shall be saved.(KJV-1611) Psa 80:3 Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.(Creole-HT) ======= Psalm 80:4 ============ Psa 80:4 O LORD God of hosts, how long wilt thou be angry against the prayer of thy people?(KJV-1611) Psa 80:4 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?(Creole-HT) ======= Psalm 80:5 ============ Psa 80:5 Thou feedest them with the bread of tears; and givest them tears to drink in great measure.(KJV-1611) Psa 80:5 Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Psalm 80:6 ============ Psa 80:6 Thou makest us a strife unto our neighbours: and our enemies laugh among themselves.(KJV-1611) Psa 80:6 Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 80:7 ============ Psa 80:7 Turn us again, O God of hosts, and cause thy face to shine; and we shall be saved.(KJV-1611) Psa 80:7 Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.(Creole-HT) ======= Psalm 80:8 ============ Psa 80:8 Thou hast brought a vine out of Egypt: thou hast cast out the heathen, and planted it.(KJV-1611) Psa 80:8 Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.(Creole-HT) ======= Psalm 80:9 ============ Psa 80:9 Thou preparedst room before it, and didst cause it to take deep root, and it filled the land.(KJV-1611) Psa 80:9 Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 80:10 ============ Psa 80:10 The hills were covered with the shadow of it, and the boughs thereof were like the goodly cedars.(KJV-1611) Psa 80:10 Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.(Creole-HT) ======= Psalm 80:11 ============ Psa 80:11 She sent out her boughs unto the sea, and her branches unto the river.(KJV-1611) Psa 80:11 Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.(Creole-HT) ======= Psalm 80:12 ============ Psa 80:12 Why hast thou then broken down her hedges, so that all they which pass by the way do pluck her?(KJV-1611) Psa 80:12 Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?(Creole-HT) ======= Psalm 80:13 ============ Psa 80:13 The boar out of the wood doth waste it, and the wild beast of the field doth devour it.(KJV-1611) Psa 80:13 Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 80:14 ============ Psa 80:14 Return, we beseech thee, O God of hosts: look down from heaven, and behold, and visit this vine;(KJV-1611) Psa 80:14 Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!(Creole-HT) ======= Psalm 80:15 ============ Psa 80:15 And the vineyard which thy right hand hath planted, and the branch that thou madest strong for thyself.(KJV-1611) Psa 80:15 vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.(Creole-HT) ======= Psalm 80:16 ============ Psa 80:16 It is burned with fire, it is cut down: they perish at the rebuke of thy countenance.(KJV-1611) Psa 80:16 Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!(Creole-HT) ======= Psalm 80:17 ============ Psa 80:17 Let thy hand be upon the man of thy right hand, upon the son of man whom thou madest strong for thyself.(KJV-1611) Psa 80:17 Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!(Creole-HT) ======= Psalm 80:18 ============ Psa 80:18 So will not we go back from thee: quicken us, and we will call upon thy name.(KJV-1611) Psa 80:18 Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!(Creole-HT) ======= Psalm 80:19 ============ Psa 80:19 Turn us again, O LORD God of hosts, cause thy face to shine; and we shall be saved.(KJV-1611) Psa 80:19 Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!(Creole-HT) ======= Psalm 81:1 ============ Psa 81:1 Sing aloud unto God our strength: make a joyful noise unto the God of Jacob.(KJV-1611) Psa 81:1 Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!(Creole-HT) ======= Psalm 81:2 ============ Psa 81:2 Take a psalm, and bring hither the timbrel, the pleasant harp with the psaltery.(KJV-1611) Psa 81:2 Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.(Creole-HT) ======= Psalm 81:3 ============ Psa 81:3 Blow up the trumpet in the new moon, in the time appointed, on our solemn feast day.(KJV-1611) Psa 81:3 Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!(Creole-HT) ======= Psalm 81:4 ============ Psa 81:4 For this was a statute for Israel, and a law of the God of Jacob.(KJV-1611) Psa 81:4 Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!(Creole-HT) ======= Psalm 81:5 ============ Psa 81:5 This he ordained in Joseph for a testimony, when he went out through the land of Egypt: where I heard a language that I understood not.(KJV-1611) Psa 81:5 Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa:(Creole-HT) ======= Psalm 81:6 ============ Psa 81:6 I removed his shoulder from the burden: his hands were delivered from the pots.(KJV-1611) Psa 81:6 Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.(Creole-HT) ======= Psalm 81:7 ============ Psa 81:7 Thou calledst in trouble, and I delivered thee; I answered thee in the secret place of thunder: I proved thee at the waters of Meribah. Selah.(KJV-1611) Psa 81:7 Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a.(Creole-HT) ======= Psalm 81:8 ============ Psa 81:8 Hear, O my people, and I will testify unto thee: O Israel, if thou wilt hearken unto me;(KJV-1611) Psa 81:8 Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'!(Creole-HT) ======= Psalm 81:9 ============ Psa 81:9 There shall no strange god be in thee; neither shalt thou worship any strange god.(KJV-1611) Psa 81:9 Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!(Creole-HT) ======= Psalm 81:10 ============ Psa 81:10 I am the LORD thy God, which brought thee out of the land of Egypt: open thy mouth wide, and I will fill it.(KJV-1611) Psa 81:10 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 81:11 ============ Psa 81:11 But my people would not hearken to my voice; and Israel would none of me.(KJV-1611) Psa 81:11 Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 81:12 ============ Psa 81:12 So I gave them up unto their own hearts' lust: and they walked in their own counsels.(KJV-1611) Psa 81:12 Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.(Creole-HT) ======= Psalm 81:13 ============ Psa 81:13 Oh that my people had hearkened unto me, and Israel had walked in my ways!(KJV-1611) Psa 81:13 Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 81:14 ============ Psa 81:14 I should soon have subdued their enemies, and turned my hand against their adversaries.(KJV-1611) Psa 81:14 Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 81:15 ============ Psa 81:15 The haters of the LORD should have submitted themselves unto him: but their time should have endured for ever.(KJV-1611) Psa 81:15 Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 81:16 ============ Psa 81:16 He should have fed them also with the finest of the wheat: and with honey out of the rock should I have satisfied thee.(KJV-1611) Psa 81:16 Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!(Creole-HT) ======= Psalm 82:1 ============ Psa 82:1 God standeth in the congregation of the mighty; he judgeth among the gods.(KJV-1611) Psa 82:1 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.(Creole-HT) ======= Psalm 82:2 ============ Psa 82:2 How long will ye judge unjustly, and accept the persons of the wicked? Selah.(KJV-1611) Psa 82:2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?(Creole-HT) ======= Psalm 82:3 ============ Psa 82:3 Defend the poor and fatherless: do justice to the afflicted and needy.(KJV-1611) Psa 82:3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 82:4 ============ Psa 82:4 Deliver the poor and needy: rid them out of the hand of the wicked.(KJV-1611) Psa 82:4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 82:5 ============ Psa 82:5 They know not, neither will they understand; they walk on in darkness: all the foundations of the earth are out of course.(KJV-1611) Psa 82:5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 82:6 ============ Psa 82:6 I have said, Ye are gods; and all of you are children of the most High.(KJV-1611) Psa 82:6 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.(Creole-HT) ======= Psalm 82:7 ============ Psa 82:7 But ye shall die like men, and fall like one of the princes.(KJV-1611) Psa 82:7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.(Creole-HT) ======= Psalm 82:8 ============ Psa 82:8 Arise, O God, judge the earth: for thou shalt inherit all nations.(KJV-1611) Psa 82:8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 83:1 ============ Psa 83:1 Keep not thou silence, O God: hold not thy peace, and be not still, O God.(KJV-1611) Psa 83:1 O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!(Creole-HT) ======= Psalm 83:2 ============ Psa 83:2 For, lo, thine enemies make a tumult: and they that hate thee have lifted up the head.(KJV-1611) Psa 83:2 Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!(Creole-HT) ======= Psalm 83:3 ============ Psa 83:3 They have taken crafty counsel against thy people, and consulted against thy hidden ones.(KJV-1611) Psa 83:3 Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Psalm 83:4 ============ Psa 83:4 They have said, Come, and let us cut them off from being a nation; that the name of Israel may be no more in remembrance.(KJV-1611) Psa 83:4 Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 83:5 ============ Psa 83:5 For they have consulted together with one consent: they are confederate against thee:(KJV-1611) Psa 83:5 Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.(Creole-HT) ======= Psalm 83:6 ============ Psa 83:6 The tabernacles of Edom, and the Ishmaelites; of Moab, and the Hagarenes;(KJV-1611) Psa 83:6 Moun peyi Edon ansanm ak pitit pitit Izmayèl yo, moun peyi Moab ansanm ak pitit pitit Aga yo,(Creole-HT) ======= Psalm 83:7 ============ Psa 83:7 Gebal, and Ammon, and Amalek; the Philistines with the inhabitants of Tyre;(KJV-1611) Psa 83:7 moun peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo, moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.(Creole-HT) ======= Psalm 83:8 ============ Psa 83:8 Assur also is joined with them: they have holpen the children of Lot. Selah.(KJV-1611) Psa 83:8 Moun peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo, yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 83:9 ============ Psa 83:9 Do unto them as unto the Midianites; as to Sisera, as to Jabin, at the brook of Kison:(KJV-1611) Psa 83:9 Sa ou te fè moun peyi Madyan yo, sa ou te fè Sisera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an, se sa pou ou fè yo tou.(Creole-HT) ======= Psalm 83:10 ============ Psa 83:10 Which perished at Endor: they became as dung for the earth.(KJV-1611) Psa 83:10 Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 83:11 ============ Psa 83:11 Make their nobles like Oreb, and like Zeeb: yea, all their princes as Zebah, and as Zalmunna:(KJV-1611) Psa 83:11 Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,(Creole-HT) ======= Psalm 83:12 ============ Psa 83:12 Who said, Let us take to ourselves the houses of God in possession.(KJV-1611) Psa 83:12 paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 83:13 ============ Psa 83:13 O my God, make them like a wheel; as the stubble before the wind.(KJV-1611) Psa 83:13 Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale.(Creole-HT) ======= Psalm 83:14 ============ Psa 83:14 As the fire burneth a wood, and as the flame setteth the mountains on fire;(KJV-1611) Psa 83:14 Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,(Creole-HT) ======= Psalm 83:15 ============ Psa 83:15 So persecute them with thy tempest, and make them afraid with thy storm.(KJV-1611) Psa 83:15 se konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a. Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 83:16 ============ Psa 83:16 Fill their faces with shame; that they may seek thy name, O LORD.(KJV-1611) Psa 83:16 Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Seyè, pou yo ka chache konnen ou.(Creole-HT) ======= Psalm 83:17 ============ Psa 83:17 Let them be confounded and troubled for ever; yea, let them be put to shame, and perish:(KJV-1611) Psa 83:17 Se pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 83:18 ============ Psa 83:18 That men may know that thou, whose name alone is JEHOVAH, art the most high over all the earth.(KJV-1611) Psa 83:18 Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.(Creole-HT) ======= Psalm 84:1 ============ Psa 84:1 How amiable are thy tabernacles, O LORD of hosts!(KJV-1611) Psa 84:1 Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 84:2 ============ Psa 84:2 My soul longeth, yea, even fainteth for the courts of the LORD: my heart and my flesh crieth out for the living God.(KJV-1611) Psa 84:2 Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.(Creole-HT) ======= Psalm 84:3 ============ Psa 84:3 Yea, the sparrow hath found an house, and the swallow a nest for herself, where she may lay her young, even thine altars, O LORD of hosts, my King, and my God.(KJV-1611) Psa 84:3 Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 84:4 ============ Psa 84:4 Blessed are they that dwell in thy house: they will be still praising thee. Selah.(KJV-1611) Psa 84:4 Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 84:5 ============ Psa 84:5 Blessed is the man whose strength is in thee; in whose heart are the ways of them.(KJV-1611) Psa 84:5 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!(Creole-HT) ======= Psalm 84:6 ============ Psa 84:6 Who passing through the valley of Baca make it a well; the rain also filleth the pools.(KJV-1611) Psa 84:6 Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.(Creole-HT) ======= Psalm 84:7 ============ Psa 84:7 They go from strength to strength, every one of them in Zion appeareth before God.(KJV-1611) Psa 84:7 Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.(Creole-HT) ======= Psalm 84:8 ============ Psa 84:8 O LORD God of hosts, hear my prayer: give ear, O God of Jacob. Selah.(KJV-1611) Psa 84:8 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'.(Creole-HT) ======= Psalm 84:9 ============ Psa 84:9 Behold, O God our shield, and look upon the face of thine anointed.(KJV-1611) Psa 84:9 Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!(Creole-HT) ======= Psalm 84:10 ============ Psa 84:10 For a day in thy courts is better than a thousand. I had rather be a doorkeeper in the house of my God, than to dwell in the tents of wickedness.(KJV-1611) Psa 84:10 Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 84:11 ============ Psa 84:11 For the LORD God is a sun and shield: the LORD will give grace and glory: no good thing will he withhold from them that walk uprightly.(KJV-1611) Psa 84:11 Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 84:12 ============ Psa 84:12 O LORD of hosts, blessed is the man that trusteth in thee.(KJV-1611) Psa 84:12 Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!(Creole-HT) ======= Psalm 85:1 ============ Psa 85:1 Lord, thou hast been favourable unto thy land: thou hast brought back the captivity of Jacob.(KJV-1611) Psa 85:1 Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!(Creole-HT) ======= Psalm 85:2 ============ Psa 85:2 Thou hast forgiven the iniquity of thy people, thou hast covered all their sin. Selah.(KJV-1611) Psa 85:2 Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.(Creole-HT) ======= Psalm 85:3 ============ Psa 85:3 Thou hast taken away all thy wrath: thou hast turned thyself from the fierceness of thine anger.(KJV-1611) Psa 85:3 Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 85:4 ============ Psa 85:4 Turn us, O God of our salvation, and cause thine anger toward us to cease.(KJV-1611) Psa 85:4 Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 85:5 ============ Psa 85:5 Wilt thou be angry with us for ever? wilt thou draw out thine anger to all generations?(KJV-1611) Psa 85:5 Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 85:6 ============ Psa 85:6 Wilt thou not revive us again: that thy people may rejoice in thee?(KJV-1611) Psa 85:6 Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?(Creole-HT) ======= Psalm 85:7 ============ Psa 85:7 Shew us thy mercy, O LORD, and grant us thy salvation.(KJV-1611) Psa 85:7 Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!(Creole-HT) ======= Psalm 85:8 ============ Psa 85:8 I will hear what God the LORD will speak: for he will speak peace unto his people, and to his saints: but let them not turn again to folly.(KJV-1611) Psa 85:8 M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 85:9 ============ Psa 85:9 Surely his salvation is nigh them that fear him; that glory may dwell in our land.(KJV-1611) Psa 85:9 Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.(Creole-HT) ======= Psalm 85:10 ============ Psa 85:10 Mercy and truth are met together; righteousness and peace have kissed each other.(KJV-1611) Psa 85:10 Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 85:11 ============ Psa 85:11 Truth shall spring out of the earth; and righteousness shall look down from heaven.(KJV-1611) Psa 85:11 Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 85:12 ============ Psa 85:12 Yea, the LORD shall give that which is good; and our land shall yield her increase.(KJV-1611) Psa 85:12 Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.(Creole-HT) ======= Psalm 85:13 ============ Psa 85:13 Righteousness shall go before him; and shall set us in the way of his steps.(KJV-1611) Psa 85:13 Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Psalm 86:1 ============ Psa 86:1 Bow down thine ear, O LORD, hear me: for I am poor and needy.(KJV-1611) Psa 86:1 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.(Creole-HT) ======= Psalm 86:2 ============ Psa 86:2 Preserve my soul; for I am holy: O thou my God, save thy servant that trusteth in thee.(KJV-1611) Psa 86:2 Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 86:3 ============ Psa 86:3 Be merciful unto me, O Lord: for I cry unto thee daily.(KJV-1611) Psa 86:3 Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou!(Creole-HT) ======= Psalm 86:4 ============ Psa 86:4 Rejoice the soul of thy servant: for unto thee, O Lord, do I lift up my soul.(KJV-1611) Psa 86:4 Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè!(Creole-HT) ======= Psalm 86:5 ============ Psa 86:5 For thou, Lord, art good, and ready to forgive; and plenteous in mercy unto all them that call upon thee.(KJV-1611) Psa 86:5 Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.(Creole-HT) ======= Psalm 86:6 ============ Psa 86:6 Give ear, O LORD, unto my prayer; and attend to the voice of my supplications.(KJV-1611) Psa 86:6 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou!(Creole-HT) ======= Psalm 86:7 ============ Psa 86:7 In the day of my trouble I will call upon thee: for thou wilt answer me.(KJV-1611) Psa 86:7 Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 86:8 ============ Psa 86:8 Among the gods there is none like unto thee, O Lord; neither are there any works like unto thy works.(KJV-1611) Psa 86:8 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!(Creole-HT) ======= Psalm 86:9 ============ Psa 86:9 All nations whom thou hast made shall come and worship before thee, O Lord; and shall glorify thy name.(KJV-1611) Psa 86:9 Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,(Creole-HT) ======= Psalm 86:10 ============ Psa 86:10 For thou art great, and doest wondrous things: thou art God alone.(KJV-1611) Psa 86:10 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 86:11 ============ Psa 86:11 Teach me thy way, O LORD; I will walk in thy truth: unite my heart to fear thy name.(KJV-1611) Psa 86:11 Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif.(Creole-HT) ======= Psalm 86:12 ============ Psa 86:12 I will praise thee, O Lord my God, with all my heart: and I will glorify thy name for evermore.(KJV-1611) Psa 86:12 Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 86:13 ============ Psa 86:13 For great is thy mercy toward me: and thou hast delivered my soul from the lowest hell.(KJV-1611) Psa 86:13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.(Creole-HT) ======= Psalm 86:14 ============ Psa 86:14 O God, the proud are risen against me, and the assemblies of violent men have sought after my soul; and have not set thee before them.(KJV-1611) Psa 86:14 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!(Creole-HT) ======= Psalm 86:15 ============ Psa 86:15 But thou, O Lord, art a God full of compassion, and gracious, long suffering, and plenteous in mercy and truth.(KJV-1611) Psa 86:15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!(Creole-HT) ======= Psalm 86:16 ============ Psa 86:16 O turn unto me, and have mercy upon me; give thy strength unto thy servant, and save the son of thine handmaid.(KJV-1611) Psa 86:16 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou.(Creole-HT) ======= Psalm 86:17 ============ Psa 86:17 Shew me a token for good; that they which hate me may see it, and be ashamed: because thou, LORD, hast holpen me, and comforted me.(KJV-1611) Psa 86:17 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!(Creole-HT) ======= Psalm 87:1 ============ Psa 87:1 His foundation is in the holy mountains.(KJV-1611) Psa 87:1 Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!(Creole-HT) ======= Psalm 87:2 ============ Psa 87:2 The LORD loveth the gates of Zion more than all the dwellings of Jacob.(KJV-1611) Psa 87:2 Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.(Creole-HT) ======= Psalm 87:3 ============ Psa 87:3 Glorious things are spoken of thee, O city of God. Selah.(KJV-1611) Psa 87:3 Ou menm, lavil Bondye a, tande bèl bagay y'ap di sou ou:(Creole-HT) ======= Psalm 87:4 ============ Psa 87:4 I will make mention of Rahab and Babylon to them that know me: behold Philistia, and Tyre, with Ethiopia; this man was born there.(KJV-1611) Psa 87:4 Lè m'ap nonmen non moun k'ap sèvi m' yo, m'ap mete moun peyi Lejip, moun peyi Babilòn sou lis la. Moun peyi Filisti, moun peyi Tir ak moun peyi Etiopi, se Jerizalèm yo fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 87:5 ============ Psa 87:5 And of Zion it shall be said, This and that man was born in her: and the highest himself shall establish her.(KJV-1611) Psa 87:5 Lè moun ap pale sou mòn Siyon an yo di: -Yo rele l' manman, paske se la yo tout fèt. Se Bondye anwo nan syèl la ki mete l' kanpe.(Creole-HT) ======= Psalm 87:6 ============ Psa 87:6 The LORD shall count, when he writeth up the people, that this man was born there. Selah.(KJV-1611) Psa 87:6 Seyè a fè lis tout pèp yo, li fè yo tout pase pou moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Psalm 87:7 ============ Psa 87:7 As well the singers as the players on instruments shall be there: all my springs are in thee.(KJV-1611) Psa 87:7 Moun k'ap chante yo ansanm ak moun k'ap danse yo ap repete byen fò: -Se ou menm ki manman nou tout.(Creole-HT) ======= Psalm 88:1 ============ Psa 88:1 O lord God of my salvation, I have cried day and night before thee:(KJV-1611) Psa 88:1 Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m'ap rele nan pye ou!(Creole-HT) ======= Psalm 88:2 ============ Psa 88:2 Let my prayer come before thee: incline thine ear unto my cry;(KJV-1611) Psa 88:2 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou.(Creole-HT) ======= Psalm 88:3 ============ Psa 88:3 For my soul is full of troubles: and my life draweth nigh unto the grave.(KJV-1611) Psa 88:3 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 88:4 ============ Psa 88:4 I am counted with them that go down into the pit: I am as a man that hath no strength:(KJV-1611) Psa 88:4 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 88:5 ============ Psa 88:5 Free among the dead, like the slain that lie in the grave, whom thou rememberest no more: and they are cut off from thy hand.(KJV-1611) Psa 88:5 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 88:6 ============ Psa 88:6 Thou hast laid me in the lowest pit, in darkness, in the deeps.(KJV-1611) Psa 88:6 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.(Creole-HT) ======= Psalm 88:7 ============ Psa 88:7 Thy wrath lieth hard upon me, and thou hast afflicted me with all thy waves. Selah.(KJV-1611) Psa 88:7 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.(Creole-HT) ======= Psalm 88:8 ============ Psa 88:8 Thou hast put away mine acquaintance far from me; thou hast made me an abomination unto them: I am shut up, and I cannot come forth.(KJV-1611) Psa 88:8 Ou fè tout zanmi m' yo lage m'. Yo yonn pa ka santi m' bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.(Creole-HT) ======= Psalm 88:9 ============ Psa 88:9 Mine eye mourneth by reason of affliction: LORD, I have called daily upon thee, I have stretched out my hands unto thee.(KJV-1611) Psa 88:9 Je m' ap boule m' tèlman m'ap soufri. Seyè, se chak jou m'ap rele ou, m'ap louvri de bra m' ba ou!(Creole-HT) ======= Psalm 88:10 ============ Psa 88:10 Wilt thou shew wonders to the dead? shall the dead arise and praise thee? Selah.(KJV-1611) Psa 88:10 Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?(Creole-HT) ======= Psalm 88:11 ============ Psa 88:11 Shall thy lovingkindness be declared in the grave? or thy faithfulness in destruction?(KJV-1611) Psa 88:11 Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?(Creole-HT) ======= Psalm 88:12 ============ Psa 88:12 Shall thy wonders be known in the dark? and thy righteousness in the land of forgetfulness?(KJV-1611) Psa 88:12 Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!(Creole-HT) ======= Psalm 88:13 ============ Psa 88:13 But unto thee have I cried, O LORD; and in the morning shall my prayer prevent thee.(KJV-1611) Psa 88:13 Seyè, m'ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m'ap lapriyè nan pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 88:14 ============ Psa 88:14 LORD, why castest thou off my soul? why hidest thou thy face from me?(KJV-1611) Psa 88:14 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?(Creole-HT) ======= Psalm 88:15 ============ Psa 88:15 I am afflicted and ready to die from my youth up: while I suffer thy terrors I am distracted.(KJV-1611) Psa 88:15 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 88:16 ============ Psa 88:16 Thy fierce wrath goeth over me; thy terrors have cut me off.(KJV-1611) Psa 88:16 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.(Creole-HT) ======= Psalm 88:17 ============ Psa 88:17 They came round about me daily like water; they compassed me about together.(KJV-1611) Psa 88:17 Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 88:18 ============ Psa 88:18 Lover and friend hast thou put far from me, and mine acquaintance into darkness.(KJV-1611) Psa 88:18 Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.(Creole-HT) ======= Psalm 89:1 ============ Psa 89:1 I will sing of the mercies of the LORD for ever: with my mouth will I make known thy faithfulness to all generations.(KJV-1611) Psa 89:1 Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:2 ============ Psa 89:2 For I have said, Mercy shall be built up for ever: thy faithfulness shalt thou establish in the very heavens.(KJV-1611) Psa 89:2 Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:3 ============ Psa 89:3 I have made a covenant with my chosen, I have sworn unto David my servant,(KJV-1611) Psa 89:3 Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:(Creole-HT) ======= Psalm 89:4 ============ Psa 89:4 Thy seed will I establish for ever, and build up thy throne to all generations. Selah.(KJV-1611) Psa 89:4 W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 89:5 ============ Psa 89:5 And the heavens shall praise thy wonders, O LORD: thy faithfulness also in the congregation of the saints.(KJV-1611) Psa 89:5 Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:6 ============ Psa 89:6 For who in the heaven can be compared unto the LORD? who among the sons of the mighty can be likened unto the LORD?(KJV-1611) Psa 89:6 Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!(Creole-HT) ======= Psalm 89:7 ============ Psa 89:7 God is greatly to be feared in the assembly of the saints, and to be had in reverence of all them that are about him.(KJV-1611) Psa 89:7 Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:8 ============ Psa 89:8 O LORD God of hosts, who is a strong LORD like unto thee? or to thy faithfulness round about thee?(KJV-1611) Psa 89:8 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 89:9 ============ Psa 89:9 Thou rulest the raging of the sea: when the waves thereof arise, thou stillest them.(KJV-1611) Psa 89:9 Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.(Creole-HT) ======= Psalm 89:10 ============ Psa 89:10 Thou hast broken Rahab in pieces, as one that is slain; thou hast scattered thine enemies with thy strong arm.(KJV-1611) Psa 89:10 Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 89:11 ============ Psa 89:11 The heavens are thine, the earth also is thine: as for the world and the fulness thereof, thou hast founded them.(KJV-1611) Psa 89:11 Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 89:12 ============ Psa 89:12 The north and the south thou hast created them: Tabor and Hermon shall rejoice in thy name.(KJV-1611) Psa 89:12 Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 89:13 ============ Psa 89:13 Thou hast a mighty arm: strong is thy hand, and high is thy right hand.(KJV-1611) Psa 89:13 Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.(Creole-HT) ======= Psalm 89:14 ============ Psa 89:14 Justice and judgment are the habitation of thy throne: mercy and truth shall go before thy face.(KJV-1611) Psa 89:14 W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 89:15 ============ Psa 89:15 Blessed is the people that know the joyful sound: they shall walk, O LORD, in the light of thy countenance.(KJV-1611) Psa 89:15 Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!(Creole-HT) ======= Psalm 89:16 ============ Psa 89:16 In thy name shall they rejoice all the day: and in thy righteousness shall they be exalted.(KJV-1611) Psa 89:16 Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 89:17 ============ Psa 89:17 For thou art the glory of their strength: and in thy favour our horn shall be exalted.(KJV-1611) Psa 89:17 Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.(Creole-HT) ======= Psalm 89:18 ============ Psa 89:18 For the LORD is our defence; and the Holy One of Israel is our king.(KJV-1611) Psa 89:18 Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:19 ============ Psa 89:19 Then thou spakest in vision to thy holy one, and saidst, I have laid help upon one that is mighty; I have exalted one chosen out of the people.(KJV-1611) Psa 89:19 Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.(Creole-HT) ======= Psalm 89:20 ============ Psa 89:20 I have found David my servant; with my holy oil have I anointed him:(KJV-1611) Psa 89:20 Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:21 ============ Psa 89:21 With whom my hand shall be established: mine arm also shall strengthen him.(KJV-1611) Psa 89:21 M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 89:22 ============ Psa 89:22 The enemy shall not exact upon him; nor the son of wickedness afflict him.(KJV-1611) Psa 89:22 Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.(Creole-HT) ======= Psalm 89:23 ============ Psa 89:23 And I will beat down his foes before his face, and plague them that hate him.(KJV-1611) Psa 89:23 M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 89:24 ============ Psa 89:24 But my faithfulness and my mercy shall be with him: and in my name shall his horn be exalted.(KJV-1611) Psa 89:24 M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.(Creole-HT) ======= Psalm 89:25 ============ Psa 89:25 I will set his hand also in the sea, and his right hand in the rivers.(KJV-1611) Psa 89:25 M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.(Creole-HT) ======= Psalm 89:26 ============ Psa 89:26 He shall cry unto me, Thou art my father, my God, and the rock of my salvation.(KJV-1611) Psa 89:26 L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 89:27 ============ Psa 89:27 Also I will make him my firstborn, higher than the kings of the earth.(KJV-1611) Psa 89:27 Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 89:28 ============ Psa 89:28 My mercy will I keep for him for evermore, and my covenant shall stand fast with him.(KJV-1611) Psa 89:28 M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.(Creole-HT) ======= Psalm 89:29 ============ Psa 89:29 His seed also will I make to endure for ever, and his throne as the days of heaven.(KJV-1611) Psa 89:29 M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 89:30 ============ Psa 89:30 If his children forsake my law, and walk not in my judgments;(KJV-1611) Psa 89:30 Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,(Creole-HT) ======= Psalm 89:31 ============ Psa 89:31 If they break my statutes, and keep not my commandments;(KJV-1611) Psa 89:31 si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,(Creole-HT) ======= Psalm 89:32 ============ Psa 89:32 Then will I visit their transgression with the rod, and their iniquity with stripes.(KJV-1611) Psa 89:32 m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 89:33 ============ Psa 89:33 Nevertheless my lovingkindness will I not utterly take from him, nor suffer my faithfulness to fail.(KJV-1611) Psa 89:33 Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 89:34 ============ Psa 89:34 My covenant will I not break, nor alter the thing that is gone out of my lips.(KJV-1611) Psa 89:34 Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.(Creole-HT) ======= Psalm 89:35 ============ Psa 89:35 Once have I sworn by my holiness that I will not lie unto David.(KJV-1611) Psa 89:35 Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.(Creole-HT) ======= Psalm 89:36 ============ Psa 89:36 His seed shall endure for ever, and his throne as the sun before me.(KJV-1611) Psa 89:36 Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.(Creole-HT) ======= Psalm 89:37 ============ Psa 89:37 It shall be established for ever as the moon, and as a faithful witness in heaven. Selah.(KJV-1611) Psa 89:37 Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 89:38 ============ Psa 89:38 But thou hast cast off and abhorred, thou hast been wroth with thine anointed.(KJV-1611) Psa 89:38 Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.(Creole-HT) ======= Psalm 89:39 ============ Psa 89:39 Thou hast made void the covenant of thy servant: thou hast profaned his crown by casting it to the ground.(KJV-1611) Psa 89:39 Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.(Creole-HT) ======= Psalm 89:40 ============ Psa 89:40 Thou hast broken down all his hedges; thou hast brought his strong holds to ruin.(KJV-1611) Psa 89:40 Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 89:41 ============ Psa 89:41 All that pass by the way spoil him: he is a reproach to his neighbours.(KJV-1611) Psa 89:41 Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 89:42 ============ Psa 89:42 Thou hast set up the right hand of his adversaries; thou hast made all his enemies to rejoice.(KJV-1611) Psa 89:42 Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 89:43 ============ Psa 89:43 Thou hast also turned the edge of his sword, and hast not made him to stand in the battle.(KJV-1611) Psa 89:43 Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.(Creole-HT) ======= Psalm 89:44 ============ Psa 89:44 Thou hast made his glory to cease, and cast his throne down to the ground.(KJV-1611) Psa 89:44 Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.(Creole-HT) ======= Psalm 89:45 ============ Psa 89:45 The days of his youth hast thou shortened: thou hast covered him with shame. Selah.(KJV-1611) Psa 89:45 Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 89:46 ============ Psa 89:46 How long, LORD? wilt thou hide thyself for ever? shall thy wrath burn like fire?(KJV-1611) Psa 89:46 Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?(Creole-HT) ======= Psalm 89:47 ============ Psa 89:47 Remember how short my time is: wherefore hast thou made all men in vain?(KJV-1611) Psa 89:47 Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.(Creole-HT) ======= Psalm 89:48 ============ Psa 89:48 What man is he that liveth, and shall not see death? shall he deliver his soul from the hand of the grave? Selah.(KJV-1611) Psa 89:48 Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè?(Creole-HT) ======= Psalm 89:49 ============ Psa 89:49 Lord, where are thy former lovingkindnesses, which thou swarest unto David in thy truth?(KJV-1611) Psa 89:49 Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?(Creole-HT) ======= Psalm 89:50 ============ Psa 89:50 Remember, Lord, the reproach of thy servants; how I do bear in my bosom the reproach of all the mighty people;(KJV-1611) Psa 89:50 Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 89:51 ============ Psa 89:51 Wherewith thine enemies have reproached, O LORD; wherewith they have reproached the footsteps of thine anointed.(KJV-1611) Psa 89:51 Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.(Creole-HT) ======= Psalm 89:52 ============ Psa 89:52 Blessed be the LORD for evermore. Amen, and Amen.(KJV-1611) Psa 89:52 Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!(Creole-HT) ======= Psalm 90:1 ============ Psa 90:1 Lord, thou hast been our dwelling place in all generations.(KJV-1611) Psa 90:1 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Psalm 90:2 ============ Psa 90:2 Before the mountains were brought forth, or ever thou hadst formed the earth and the world, even from everlasting to everlasting, thou art God.(KJV-1611) Psa 90:2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.(Creole-HT) ======= Psalm 90:3 ============ Psa 90:3 Thou turnest man to destruction; and sayest, Return, ye children of men.(KJV-1611) Psa 90:3 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 90:4 ============ Psa 90:4 For a thousand years in thy sight are but as yesterday when it is past, and as a watch in the night.(KJV-1611) Psa 90:4 Milan pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.(Creole-HT) ======= Psalm 90:5 ============ Psa 90:5 Thou carriest them away as with a flood; they are as a sleep: in the morning they are like grass which groweth up.(KJV-1611) Psa 90:5 Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.(Creole-HT) ======= Psalm 90:6 ============ Psa 90:6 In the morning it flourisheth, and groweth up; in the evening it is cut down, and withereth.(KJV-1611) Psa 90:6 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.(Creole-HT) ======= Psalm 90:7 ============ Psa 90:7 For we are consumed by thine anger, and by thy wrath are we troubled.(KJV-1611) Psa 90:7 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.(Creole-HT) ======= Psalm 90:8 ============ Psa 90:8 Thou hast set our iniquities before thee, our secret sins in the light of thy countenance.(KJV-1611) Psa 90:8 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.(Creole-HT) ======= Psalm 90:9 ============ Psa 90:9 For all our days are passed away in thy wrath: we spend our years as a tale that is told.(KJV-1611) Psa 90:9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.(Creole-HT) ======= Psalm 90:10 ============ Psa 90:10 The days of our years are threescore years and ten; and if by reason of strength they be fourscore years, yet is their strength labour and sorrow; for it is soon cut off, and we fly away.(KJV-1611) Psa 90:10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.(Creole-HT) ======= Psalm 90:11 ============ Psa 90:11 Who knoweth the power of thine anger? even according to thy fear, so is thy wrath.(KJV-1611) Psa 90:11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?(Creole-HT) ======= Psalm 90:12 ============ Psa 90:12 So teach us to number our days, that we may apply our hearts unto wisdom.(KJV-1611) Psa 90:12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 90:13 ============ Psa 90:13 Return, O LORD, how long? and let it repent thee concerning thy servants.(KJV-1611) Psa 90:13 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 90:14 ============ Psa 90:14 O satisfy us early with thy mercy; that we may rejoice and be glad all our days.(KJV-1611) Psa 90:14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 90:15 ============ Psa 90:15 Make us glad according to the days wherein thou hast afflicted us, and the years wherein we have seen evil.(KJV-1611) Psa 90:15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.(Creole-HT) ======= Psalm 90:16 ============ Psa 90:16 Let thy work appear unto thy servants, and thy glory unto their children.(KJV-1611) Psa 90:16 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 90:17 ============ Psa 90:17 And let the beauty of the LORD our God be upon us: and establish thou the work of our hands upon us; yea, the work of our hands establish thou it.(KJV-1611) Psa 90:17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 91:1 ============ Psa 91:1 He that dwelleth in the secret place of the most High shall abide under the shadow of the Almighty.(KJV-1611) Psa 91:1 Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a(Creole-HT) ======= Psalm 91:2 ============ Psa 91:2 I will say of the LORD, He is my refuge and my fortress: my God; in him will I trust.(KJV-1611) Psa 91:2 ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 91:3 ============ Psa 91:3 Surely he shall deliver thee from the snare of the fowler, and from the noisome pestilence.(KJV-1611) Psa 91:3 Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 91:4 ============ Psa 91:4 He shall cover thee with his feathers, and under his wings shalt thou trust: his truth shall be thy shield and buckler.(KJV-1611) Psa 91:4 L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.(Creole-HT) ======= Psalm 91:5 ============ Psa 91:5 Thou shalt not be afraid for the terror by night; nor for the arrow that flieth by day;(KJV-1611) Psa 91:5 Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.(Creole-HT) ======= Psalm 91:6 ============ Psa 91:6 Nor for the pestilence that walketh in darkness; nor for the destruction that wasteth at noonday.(KJV-1611) Psa 91:6 Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi.(Creole-HT) ======= Psalm 91:7 ============ Psa 91:7 A thousand shall fall at thy side, and ten thousand at thy right hand; but it shall not come nigh thee.(KJV-1611) Psa 91:7 Mil sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Psalm 91:8 ============ Psa 91:8 Only with thine eyes shalt thou behold and see the reward of the wicked.(KJV-1611) Psa 91:8 W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite.(Creole-HT) ======= Psalm 91:9 ============ Psa 91:9 Because thou hast made the LORD, which is my refuge, even the most High, thy habitation;(KJV-1611) Psa 91:9 Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou,(Creole-HT) ======= Psalm 91:10 ============ Psa 91:10 There shall no evil befall thee, neither shall any plague come nigh thy dwelling.(KJV-1611) Psa 91:10 okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou.(Creole-HT) ======= Psalm 91:11 ============ Psa 91:11 For he shall give his angels charge over thee, to keep thee in all thy ways.(KJV-1611) Psa 91:11 Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.(Creole-HT) ======= Psalm 91:12 ============ Psa 91:12 They shall bear thee up in their hands, lest thou dash thy foot against a stone.(KJV-1611) Psa 91:12 Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.(Creole-HT) ======= Psalm 91:13 ============ Psa 91:13 Thou shalt tread upon the lion and adder: the young lion and the dragon shalt thou trample under feet.(KJV-1611) Psa 91:13 W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 91:14 ============ Psa 91:14 Because he hath set his love upon me, therefore will I deliver him: I will set him on high, because he hath known my name.(KJV-1611) Psa 91:14 Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 91:15 ============ Psa 91:15 He shall call upon me, and I will answer him: I will be with him in trouble; I will deliver him, and honour him.(KJV-1611) Psa 91:15 Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'.(Creole-HT) ======= Psalm 91:16 ============ Psa 91:16 With long life will I satisfy him, and shew him my salvation.(KJV-1611) Psa 91:16 M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.(Creole-HT) ======= Psalm 92:1 ============ Psa 92:1 IT IS A GOOD THING TO GIVE THANKS UNTO THE LORD, AND TO SING PRAISES UNTO THY NAME, O MOST HIGH:(KJV-1611) Psa 92:1 Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 92:2 ============ Psa 92:2 To shew forth thy lovingkindness in the morning, and thy faithfulness every night,(KJV-1611) Psa 92:2 Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 92:3 ============ Psa 92:3 Upon an instrument of ten strings, and upon the psaltery; upon the harp with a solemn sound.(KJV-1611) Psa 92:3 Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 92:4 ============ Psa 92:4 For thou, LORD, hast made me glad through thy work: I will triumph in the works of thy hands.(KJV-1611) Psa 92:4 Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 92:5 ============ Psa 92:5 O LORD, how great are thy works! and thy thoughts are very deep.(KJV-1611) Psa 92:5 Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!(Creole-HT) ======= Psalm 92:6 ============ Psa 92:6 A brutish man knoweth not; neither doth a fool understand this.(KJV-1611) Psa 92:6 Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 92:7 ============ Psa 92:7 When the wicked spring as the grass, and when all the workers of iniquity do flourish; it is that they shall be destroyed for ever:(KJV-1611) Psa 92:7 Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 92:8 ============ Psa 92:8 But thou, LORD, art most high for evermore.(KJV-1611) Psa 92:8 Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 92:9 ============ Psa 92:9 For, lo, thine enemies, O LORD, for, lo, thine enemies shall perish; all the workers of iniquity shall be scattered.(KJV-1611) Psa 92:9 Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.(Creole-HT) ======= Psalm 92:10 ============ Psa 92:10 But my horn shalt thou exalt like the horn of an unicorn: I shall be anointed with fresh oil.(KJV-1611) Psa 92:10 Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 92:11 ============ Psa 92:11 Mine eye also shall see my desire on mine enemies, and mine ears shall hear my desire of the wicked that rise up against me.(KJV-1611) Psa 92:11 Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.(Creole-HT) ======= Psalm 92:12 ============ Psa 92:12 The righteous shall flourish like the palm tree: he shall grow like a cedar in Lebanon.(KJV-1611) Psa 92:12 Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.(Creole-HT) ======= Psalm 92:13 ============ Psa 92:13 Those that be planted in the house of the LORD shall flourish in the courts of our God.(KJV-1611) Psa 92:13 Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Psalm 92:14 ============ Psa 92:14 They shall still bring forth fruit in old age; they shall be fat and flourishing;(KJV-1611) Psa 92:14 Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.(Creole-HT) ======= Psalm 92:15 ============ Psa 92:15 To shew that the LORD is upright: he is my rock, and there is no unrighteousness in him.(KJV-1611) Psa 92:15 Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.(Creole-HT) ======= Psalm 93:1 ============ Psa 93:1 The LORD reigneth, he is clothed with majesty; the LORD is clothed with strength, wherewith he hath girded himself: the world also is stablished, that it cannot be moved.(KJV-1611) Psa 93:1 Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.(Creole-HT) ======= Psalm 93:2 ============ Psa 93:2 Thy throne is established of old: thou art from everlasting.(KJV-1611) Psa 93:2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 93:3 ============ Psa 93:3 The floods have lifted up, O LORD, the floods have lifted up their voice; the floods lift up their waves.(KJV-1611) Psa 93:3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.(Creole-HT) ======= Psalm 93:4 ============ Psa 93:4 The LORD on high is mightier than the noise of many waters, yea, than the mighty waves of the sea.(KJV-1611) Psa 93:4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.(Creole-HT) ======= Psalm 93:5 ============ Psa 93:5 Thy testimonies are very sure: holiness becometh thine house, O LORD, for ever.(KJV-1611) Psa 93:5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 94:1 ============ Psa 94:1 O Lord God, to whom vengeance belongeth; O God, to whom vengeance belongeth, shew thyself.(KJV-1611) Psa 94:1 Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.(Creole-HT) ======= Psalm 94:2 ============ Psa 94:2 Lift up thyself, thou judge of the earth: render a reward to the proud.(KJV-1611) Psa 94:2 Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!(Creole-HT) ======= Psalm 94:3 ============ Psa 94:3 LORD, how long shall the wicked, how long shall the wicked triumph?(KJV-1611) Psa 94:3 Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?(Creole-HT) ======= Psalm 94:4 ============ Psa 94:4 How long shall they utter and speak hard things? and all the workers of iniquity boast themselves?(KJV-1611) Psa 94:4 Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?(Creole-HT) ======= Psalm 94:5 ============ Psa 94:5 They break in pieces thy people, O LORD, and afflict thine heritage.(KJV-1611) Psa 94:5 Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 94:6 ============ Psa 94:6 They slay the widow and the stranger, and murder the fatherless.(KJV-1611) Psa 94:6 Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 94:7 ============ Psa 94:7 Yet they say, The LORD shall not see, neither shall the God of Jacob regard it.(KJV-1611) Psa 94:7 Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!(Creole-HT) ======= Psalm 94:8 ============ Psa 94:8 Understand, ye brutish among the people: and ye fools, when will ye be wise?(KJV-1611) Psa 94:8 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?(Creole-HT) ======= Psalm 94:9 ============ Psa 94:9 He that planted the ear, shall he not hear? he that formed the eye, shall he not see?(KJV-1611) Psa 94:9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?(Creole-HT) ======= Psalm 94:10 ============ Psa 94:10 He that chastiseth the heathen, shall not he correct? he that teacheth man knowledge, shall not he know?(KJV-1611) Psa 94:10 Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?(Creole-HT) ======= Psalm 94:11 ============ Psa 94:11 The LORD knoweth the thoughts of man, that they are vanity.(KJV-1611) Psa 94:11 Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 94:12 ============ Psa 94:12 Blessed is the man whom thou chastenest, O LORD, and teachest him out of thy law;(KJV-1611) Psa 94:12 Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,(Creole-HT) ======= Psalm 94:13 ============ Psa 94:13 That thou mayest give him rest from the days of adversity, until the pit be digged for the wicked.(KJV-1611) Psa 94:13 pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.(Creole-HT) ======= Psalm 94:14 ============ Psa 94:14 For the LORD will not cast off his people, neither will he forsake his inheritance.(KJV-1611) Psa 94:14 Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 94:15 ============ Psa 94:15 But judgment shall return unto righteousness: and all the upright in heart shall follow it.(KJV-1611) Psa 94:15 Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.(Creole-HT) ======= Psalm 94:16 ============ Psa 94:16 Who will rise up for me against the evildoers? or who will stand up for me against the workers of iniquity?(KJV-1611) Psa 94:16 Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?(Creole-HT) ======= Psalm 94:17 ============ Psa 94:17 Unless the LORD had been my help, my soul had almost dwelt in silence.(KJV-1611) Psa 94:17 Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 94:18 ============ Psa 94:18 When I said, My foot slippeth; thy mercy, O LORD, held me up.(KJV-1611) Psa 94:18 Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 94:19 ============ Psa 94:19 In the multitude of my thoughts within me thy comforts delight my soul.(KJV-1611) Psa 94:19 Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 94:20 ============ Psa 94:20 Shall the throne of iniquity have fellowship with thee, which frameth mischief by a law?(KJV-1611) Psa 94:20 Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?(Creole-HT) ======= Psalm 94:21 ============ Psa 94:21 They gather themselves together against the soul of the righteous, and condemn the innocent blood.(KJV-1611) Psa 94:21 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.(Creole-HT) ======= Psalm 94:22 ============ Psa 94:22 But the LORD is my defence; and my God is the rock of my refuge.(KJV-1611) Psa 94:22 Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 94:23 ============ Psa 94:23 And he shall bring upon them their own iniquity, and shall cut them off in their own wickedness; yea, the LORD our God shall cut them off.(KJV-1611) Psa 94:23 L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 95:1 ============ Psa 95:1 O come, let us sing unto the LORD: let us make a joyful noise to the rock of our salvation.(KJV-1611) Psa 95:1 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!(Creole-HT) ======= Psalm 95:2 ============ Psa 95:2 Let us come before his presence with thanksgiving, and make a joyful noise unto him with psalms.(KJV-1611) Psa 95:2 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 95:3 ============ Psa 95:3 For the LORD is a great God, and a great King above all gods.(KJV-1611) Psa 95:3 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 95:4 ============ Psa 95:4 In his hand are the deep places of the earth: the strength of the hills is his also.(KJV-1611) Psa 95:4 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.(Creole-HT) ======= Psalm 95:5 ============ Psa 95:5 The sea is his, and he made it: and his hands formed the dry land.(KJV-1611) Psa 95:5 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.(Creole-HT) ======= Psalm 95:6 ============ Psa 95:6 O come, let us worship and bow down: let us kneel before the LORD our maker.(KJV-1611) Psa 95:6 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!(Creole-HT) ======= Psalm 95:7 ============ Psa 95:7 For he is our God; and we are the people of his pasture, and the sheep of his hand. To day if ye will hear his voice,(KJV-1611) Psa 95:7 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:(Creole-HT) ======= Psalm 95:8 ============ Psa 95:8 Harden not your heart, as in the provocation, and as in the day of temptation in the wilderness:(KJV-1611) Psa 95:8 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.(Creole-HT) ======= Psalm 95:9 ============ Psa 95:9 When your fathers tempted me, proved me, and saw my work.(KJV-1611) Psa 95:9 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 95:10 ============ Psa 95:10 Forty years long was I grieved with this generation, and said, It is a people that do err in their heart, and they have not known my ways:(KJV-1611) Psa 95:10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 95:11 ============ Psa 95:11 Unto whom I sware in my wrath that they should not enter into my rest.(KJV-1611) Psa 95:11 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 96:1 ============ Psa 96:1 O sing unto the LORD a new song: sing unto the LORD, all the earth.(KJV-1611) Psa 96:1 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 96:2 ============ Psa 96:2 Sing unto the LORD, bless his name; shew forth his salvation from day to day.(KJV-1611) Psa 96:2 Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 96:3 ============ Psa 96:3 Declare his glory among the heathen, his wonders among all people.(KJV-1611) Psa 96:3 Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 96:4 ============ Psa 96:4 For the LORD is great, and greatly to be praised: he is to be feared above all gods.(KJV-1611) Psa 96:4 Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 96:5 ============ Psa 96:5 For all the gods of the nations are idols: but the LORD made the heavens.(KJV-1611) Psa 96:5 Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 96:6 ============ Psa 96:6 Honour and majesty are before him: strength and beauty are in his sanctuary.(KJV-1611) Psa 96:6 Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!(Creole-HT) ======= Psalm 96:7 ============ Psa 96:7 Give unto the LORD, O ye kindreds of the people, give unto the LORD glory and strength.(KJV-1611) Psa 96:7 Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!(Creole-HT) ======= Psalm 96:8 ============ Psa 96:8 Give unto the LORD the glory due unto his name: bring an offering, and come into his courts.(KJV-1611) Psa 96:8 Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!(Creole-HT) ======= Psalm 96:9 ============ Psa 96:9 O worship the LORD in the beauty of holiness: fear before him, all the earth.(KJV-1611) Psa 96:9 Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 96:10 ============ Psa 96:10 Say among the heathen that the LORD reigneth: the world also shall be established that it shall not be moved: he shall judge the people righteously.(KJV-1611) Psa 96:10 Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 96:11 ============ Psa 96:11 Let the heavens rejoice, and let the earth be glad; let the sea roar, and the fulness thereof.(KJV-1611) Psa 96:11 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 96:12 ============ Psa 96:12 Let the field be joyful, and all that is therein: then shall all the trees of the wood rejoice(KJV-1611) Psa 96:12 Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,(Creole-HT) ======= Psalm 96:13 ============ Psa 96:13 Before the LORD: for he cometh, for he cometh to judge the earth: he shall judge the world with righteousness, and the people with his truth.(KJV-1611) Psa 96:13 lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 97:1 ============ Psa 97:1 The LORD reigneth; let the earth rejoice; let the multitude of isles be glad thereof.(KJV-1611) Psa 97:1 Se Seyè a ki wa! Se pou tout moun ki sou latè fè kè yo kontan! Se pou moun ki nan tout zile yo fè fèt!(Creole-HT) ======= Psalm 97:2 ============ Psa 97:2 Clouds and darkness are round about him: righteousness and judgment are the habitation of his throne.(KJV-1611) Psa 97:2 Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 97:3 ============ Psa 97:3 A fire goeth before him, and burneth up his enemies round about.(KJV-1611) Psa 97:3 Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.(Creole-HT) ======= Psalm 97:4 ============ Psa 97:4 His lightnings enlightened the world: the earth saw, and trembled.(KJV-1611) Psa 97:4 Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.(Creole-HT) ======= Psalm 97:5 ============ Psa 97:5 The hills melted like wax at the presence of the LORD, at the presence of the Lord of the whole earth.(KJV-1611) Psa 97:5 Ti mòn yo fonn tankou lasi devan Seyè a, wi, yo fonn devan chèf tout latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 97:6 ============ Psa 97:6 The heavens declare his righteousness, and all the people see his glory.(KJV-1611) Psa 97:6 Syèl la fè konnen jan Bondye pa nan patipri, tout pèp yo wè pouvwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 97:7 ============ Psa 97:7 Confounded be all they that serve graven images, that boast themselves of idols: worship him, all ye gods.(KJV-1611) Psa 97:7 Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 97:8 ============ Psa 97:8 Zion heard, and was glad; and the daughters of Judah rejoiced because of thy judgments, O LORD.(KJV-1611) Psa 97:8 Pèp peyi Siyon an tande sa, li kontan. Tout lavil peyi Jida yo fè fèt pou jan ou jije moun, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 97:9 ============ Psa 97:9 For thou, LORD, art high above all the earth: thou art exalted far above all gods.(KJV-1611) Psa 97:9 Seyè ki gen tout pouvwa, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè, W'ap dominen sou tout bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 97:10 ============ Psa 97:10 Ye that love the LORD, hate evil: he preserveth the souls of his saints; he delivereth them out of the hand of the wicked.(KJV-1611) Psa 97:10 Seyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 97:11 ============ Psa 97:11 Light is sown for the righteous, and gladness for the upright in heart.(KJV-1611) Psa 97:11 Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 97:12 ============ Psa 97:12 Rejoice in the LORD, ye righteous; and give thanks at the remembrance of his holiness.(KJV-1611) Psa 97:12 Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè pou nou. Di l' mèsi! Li pa tankou tout moun.(Creole-HT) ======= Psalm 98:1 ============ Psa 98:1 O sing unto the LORD a new song; for he hath done marvellous things: his right hand, and his holy arm, hath gotten him the victory.(KJV-1611) Psa 98:1 Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.(Creole-HT) ======= Psalm 98:2 ============ Psa 98:2 The LORD hath made known his salvation: his righteousness hath he openly shewed in the sight of the heathen.(KJV-1611) Psa 98:2 Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.(Creole-HT) ======= Psalm 98:3 ============ Psa 98:3 He hath remembered his mercy and his truth toward the house of Israel: all the ends of the earth have seen the salvation of our God.(KJV-1611) Psa 98:3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 98:4 ============ Psa 98:4 Make a joyful noise unto the LORD, all the earth: make a loud noise, and rejoice, and sing praise.(KJV-1611) Psa 98:4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Seyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!(Creole-HT) ======= Psalm 98:5 ============ Psa 98:5 Sing unto the LORD with the harp; with the harp, and the voice of a psalm.(KJV-1611) Psa 98:5 Chante pou Seyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!(Creole-HT) ======= Psalm 98:6 ============ Psa 98:6 With trumpets and sound of cornet make a joyful noise before the LORD, the King.(KJV-1611) Psa 98:6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Seyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.(Creole-HT) ======= Psalm 98:7 ============ Psa 98:7 Let the sea roar, and the fulness thereof; the world, and they that dwell therein.(KJV-1611) Psa 98:7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.(Creole-HT) ======= Psalm 98:8 ============ Psa 98:8 Let the floods clap their hands: let the hills be joyful together(KJV-1611) Psa 98:8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 98:9 ============ Psa 98:9 Before the LORD; for he cometh to judge the earth: with righteousness shall he judge the world, and the people with equity.(KJV-1611) Psa 98:9 Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.(Creole-HT) ======= Psalm 99:1 ============ Psa 99:1 The LORD reigneth; let the people tremble: he sitteth between the cherubims; let the earth be moved.(KJV-1611) Psa 99:1 Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!(Creole-HT) ======= Psalm 99:2 ============ Psa 99:2 The LORD is great in Zion; and he is high above all the people.(KJV-1611) Psa 99:2 Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.(Creole-HT) ======= Psalm 99:3 ============ Psa 99:3 Let them praise thy great and terrible name; for it is holy.(KJV-1611) Psa 99:3 Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!(Creole-HT) ======= Psalm 99:4 ============ Psa 99:4 The king's strength also loveth judgment; thou dost establish equity, thou executest judgment and righteousness in Jacob.(KJV-1611) Psa 99:4 Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 99:5 ============ Psa 99:5 Exalt ye the LORD our God, and worship at his footstool; for he is holy.(KJV-1611) Psa 99:5 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!(Creole-HT) ======= Psalm 99:6 ============ Psa 99:6 Moses and Aaron among his priests, and Samuel among them that call upon his name; they called upon the LORD, and he answered them.(KJV-1611) Psa 99:6 Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 99:7 ============ Psa 99:7 He spake unto them in the cloudy pillar: they kept his testimonies, and the ordinance that he gave them.(KJV-1611) Psa 99:7 Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.(Creole-HT) ======= Psalm 99:8 ============ Psa 99:8 Thou answeredst them, O LORD our God: thou wast a God that forgavest them, though thou tookest vengeance of their inventions.(KJV-1611) Psa 99:8 Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 99:9 ============ Psa 99:9 Exalt the LORD our God, and worship at his holy hill; for the LORD our God is holy.(KJV-1611) Psa 99:9 Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 100:1 ============ Psa 100:1 Make a joyful noise unto the LORD, all ye lands.(KJV-1611) Psa 100:1 Se yon sòm pou di Bondye mèsi. Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 100:2 ============ Psa 100:2 Serve the LORD with gladness: come before his presence with singing.(KJV-1611) Psa 100:2 Fè sèvis pou Seyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!(Creole-HT) ======= Psalm 100:3 ============ Psa 100:3 Know ye that the LORD he is God: it is he that hath made us, and not we ourselves; we are his people, and the sheep of his pasture.(KJV-1611) Psa 100:3 Pa janm bliye: Seyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.(Creole-HT) ======= Psalm 100:4 ============ Psa 100:4 Enter into his gates with thanksgiving, and into his courts with praise: be thankful unto him, and bless his name.(KJV-1611) Psa 100:4 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!(Creole-HT) ======= Psalm 100:5 ============ Psa 100:5 For the LORD is good; his mercy is everlasting; and his truth endureth to all generations.(KJV-1611) Psa 100:5 Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Psalm 101:1 ============ Psa 101:1 I will sing of mercy and judgment: unto thee, O LORD, will I sing.(KJV-1611) Psa 101:1 Se yon sòm David. M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Seyè!(Creole-HT) ======= Psalm 101:2 ============ Psa 101:2 I will behave myself wisely in a perfect way. O when wilt thou come unto me? I will walk within my house with a perfect heart.(KJV-1611) Psa 101:2 M'ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w'a vin jwenn mwen?(Creole-HT) ======= Psalm 101:3 ============ Psa 101:3 I will set no wicked thing before mine eyes: I hate the work of them that turn aside; it shall not cleave to me.(KJV-1611) Psa 101:3 M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 101:4 ============ Psa 101:4 A froward heart shall depart from me: I will not know a wicked person.(KJV-1611) Psa 101:4 Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.(Creole-HT) ======= Psalm 101:5 ============ Psa 101:5 Whoso privily slandereth his neighbour, him will I cut off: him that hath an high look and a proud heart will not I suffer.(KJV-1611) Psa 101:5 M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 101:6 ============ Psa 101:6 Mine eyes shall be upon the faithful of the land, that they may dwell with me: he that walketh in a perfect way, he shall serve me.(KJV-1611) Psa 101:6 M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 101:7 ============ Psa 101:7 He that worketh deceit shall not dwell within my house: he that telleth lies shall not tarry in my sight.(KJV-1611) Psa 101:7 Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 101:8 ============ Psa 101:8 I will early destroy all the wicked of the land; that I may cut off all wicked doers from the city of the LORD.(KJV-1611) Psa 101:8 Chak maten m'ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m'ap mete tout moun k'ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 102:1 ============ Psa 102:1 Hear my prayer, O LORD, and let my cry come unto thee.(KJV-1611) Psa 102:1 Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.(Creole-HT) ======= Psalm 102:2 ============ Psa 102:2 Hide not thy face from me in the day when I am in trouble; incline thine ear unto me: in the day when I call answer me speedily.(KJV-1611) Psa 102:2 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.(Creole-HT) ======= Psalm 102:3 ============ Psa 102:3 For my days are consumed like smoke, and my bones are burned as an hearth.(KJV-1611) Psa 102:3 Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.(Creole-HT) ======= Psalm 102:4 ============ Psa 102:4 My heart is smitten, and withered like grass; so that I forget to eat my bread.(KJV-1611) Psa 102:4 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.(Creole-HT) ======= Psalm 102:5 ============ Psa 102:5 By reason of the voice of my groaning my bones cleave to my skin.(KJV-1611) Psa 102:5 Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.(Creole-HT) ======= Psalm 102:6 ============ Psa 102:6 I am like a pelican of the wilderness: I am like an owl of the desert.(KJV-1611) Psa 102:6 Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.(Creole-HT) ======= Psalm 102:7 ============ Psa 102:7 I watch, and am as a sparrow alone upon the house top.(KJV-1611) Psa 102:7 Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.(Creole-HT) ======= Psalm 102:8 ============ Psa 102:8 Mine enemies reproach me all the day; and they that are mad against me are sworn against me.(KJV-1611) Psa 102:8 Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.(Creole-HT) ======= Psalm 102:9 ============ Psa 102:9 For I have eaten ashes like bread, and mingled my drink with weeping.(KJV-1611) Psa 102:9 Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.(Creole-HT) ======= Psalm 102:10 ============ Psa 102:10 Because of thine indignation and thy wrath: for thou hast lifted me up, and cast me down.(KJV-1611) Psa 102:10 Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.(Creole-HT) ======= Psalm 102:11 ============ Psa 102:11 My days are like a shadow that declineth; and I am withered like grass.(KJV-1611) Psa 102:11 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.(Creole-HT) ======= Psalm 102:12 ============ Psa 102:12 But thou, O LORD, shall endure for ever; and thy remembrance unto all generations.(KJV-1611) Psa 102:12 Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!(Creole-HT) ======= Psalm 102:13 ============ Psa 102:13 Thou shalt arise, and have mercy upon Zion: for the time to favour her, yea, the set time, is come.(KJV-1611) Psa 102:13 W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.(Creole-HT) ======= Psalm 102:14 ============ Psa 102:14 For thy servants take pleasure in her stones, and favour the dust thereof.(KJV-1611) Psa 102:14 Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.(Creole-HT) ======= Psalm 102:15 ============ Psa 102:15 So the heathen shall fear the name of the LORD, and all the kings of the earth thy glory.(KJV-1611) Psa 102:15 Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 102:16 ============ Psa 102:16 When the LORD shall build up Zion, he shall appear in his glory.(KJV-1611) Psa 102:16 Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 102:17 ============ Psa 102:17 He will regard the prayer of the destitute, and not despise their prayer.(KJV-1611) Psa 102:17 L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 102:18 ============ Psa 102:18 This shall be written for the generation to come: and the people which shall be created shall praise the LORD.(KJV-1611) Psa 102:18 Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 102:19 ============ Psa 102:19 For he hath looked down from the height of his sanctuary; from heaven did the LORD behold the earth;(KJV-1611) Psa 102:19 Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,(Creole-HT) ======= Psalm 102:20 ============ Psa 102:20 To hear the groaning of the prisoner; to loose those that are appointed to death;(KJV-1611) Psa 102:20 pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.(Creole-HT) ======= Psalm 102:21 ============ Psa 102:21 To declare the name of the LORD in Zion, and his praise in Jerusalem;(KJV-1611) Psa 102:21 Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,(Creole-HT) ======= Psalm 102:22 ============ Psa 102:22 When the people are gathered together, and the kingdoms, to serve the LORD.(KJV-1611) Psa 102:22 lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 102:23 ============ Psa 102:23 He weakened my strength in the way; he shortened my days.(KJV-1611) Psa 102:23 Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 102:24 ============ Psa 102:24 I said, O my God, take me not away in the midst of my days: thy years are throughout all generations.(KJV-1611) Psa 102:24 Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.(Creole-HT) ======= Psalm 102:25 ============ Psa 102:25 Of old hast thou laid the foundation of the earth: and the heavens are the work of thy hands.(KJV-1611) Psa 102:25 Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 102:26 ============ Psa 102:26 They shall perish, but thou shalt endure: yea, all of them shall wax old like a garment; as a vesture shalt thou change them, and they shall be changed:(KJV-1611) Psa 102:26 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.(Creole-HT) ======= Psalm 102:27 ============ Psa 102:27 But thou art the same, and thy years shall have no end.(KJV-1611) Psa 102:27 Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 102:28 ============ Psa 102:28 The children of thy servants shall continue, and their seed shall be established before thee.(KJV-1611) Psa 102:28 Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.(Creole-HT) ======= Psalm 103:1 ============ Psa 103:1 Bless the LORD, O my soul: and all that is within me, bless his holy name.(KJV-1611) Psa 103:1 Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 103:2 ============ Psa 103:2 Bless the LORD, O my soul, and forget not all his benefits:(KJV-1611) Psa 103:2 Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 103:3 ============ Psa 103:3 Who forgiveth all thine iniquities; who healeth all thy diseases;(KJV-1611) Psa 103:3 Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 103:4 ============ Psa 103:4 Who redeemeth thy life from destruction; who crowneth thee with lovingkindness and tender mercies;(KJV-1611) Psa 103:4 Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 103:5 ============ Psa 103:5 Who satisfieth thy mouth with good things; so that thy youth is renewed like the eagle's.(KJV-1611) Psa 103:5 Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.(Creole-HT) ======= Psalm 103:6 ============ Psa 103:6 The LORD executeth righteousness and judgment for all that are oppressed.(KJV-1611) Psa 103:6 Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.(Creole-HT) ======= Psalm 103:7 ============ Psa 103:7 He made known his ways unto Moses, his acts unto the children of Israel.(KJV-1611) Psa 103:7 Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 103:8 ============ Psa 103:8 The LORD is merciful and gracious, slow to anger, and plenteous in mercy.(KJV-1611) Psa 103:8 Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.(Creole-HT) ======= Psalm 103:9 ============ Psa 103:9 He will not always chide: neither will he keep his anger for ever.(KJV-1611) Psa 103:9 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 103:10 ============ Psa 103:10 He hath not dealt with us after our sins; nor rewarded us according to our iniquities.(KJV-1611) Psa 103:10 Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.(Creole-HT) ======= Psalm 103:11 ============ Psa 103:11 For as the heaven is high above the earth, so great is his mercy toward them that fear him.(KJV-1611) Psa 103:11 Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 103:12 ============ Psa 103:12 As far as the east is from the west, so far hath he removed our transgressions from us.(KJV-1611) Psa 103:12 Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.(Creole-HT) ======= Psalm 103:13 ============ Psa 103:13 Like as a father pitieth his children, so the LORD pitieth them that fear him.(KJV-1611) Psa 103:13 Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Psalm 103:14 ============ Psa 103:14 For he knoweth our frame; he remembereth that we are dust.(KJV-1611) Psa 103:14 Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.(Creole-HT) ======= Psalm 103:15 ============ Psa 103:15 As for man, his days are as grass: as a flower of the field, so he flourisheth.(KJV-1611) Psa 103:15 Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.(Creole-HT) ======= Psalm 103:16 ============ Psa 103:16 For the wind passeth over it, and it is gone; and the place thereof shall know it no more.(KJV-1611) Psa 103:16 Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 103:17 ============ Psa 103:17 But the mercy of the LORD is from everlasting to everlasting upon them that fear him, and his righteousness unto children's children;(KJV-1611) Psa 103:17 Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,(Creole-HT) ======= Psalm 103:18 ============ Psa 103:18 To such as keep his covenant, and to those that remember his commandments to do them.(KJV-1611) Psa 103:18 pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 103:19 ============ Psa 103:19 The LORD hath prepared his throne in the heavens; and his kingdom ruleth over all.(KJV-1611) Psa 103:19 Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 103:20 ============ Psa 103:20 Bless the LORD, ye his angels, that excel in strength, that do his commandments, hearkening unto the voice of his word.(KJV-1611) Psa 103:20 Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 103:21 ============ Psa 103:21 Bless ye the LORD, all ye his hosts; ye ministers of his, that do his pleasure.(KJV-1611) Psa 103:21 Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!(Creole-HT) ======= Psalm 103:22 ============ Psa 103:22 Bless the LORD, all his works in all places of his dominion: bless the LORD, O my soul.(KJV-1611) Psa 103:22 Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!(Creole-HT) ======= Psalm 104:1 ============ Psa 104:1 Bless the LORD, O my soul. O LORD my God, thou art very great; thou art clothed with honour and majesty.(KJV-1611) Psa 104:1 Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!(Creole-HT) ======= Psalm 104:2 ============ Psa 104:2 Who coverest thyself with light as with a garment: who stretchest out the heavens like a curtain:(KJV-1611) Psa 104:2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.(Creole-HT) ======= Psalm 104:3 ============ Psa 104:3 Who layeth the beams of his chambers in the waters: who maketh the clouds his chariot: who walketh upon the wings of the wind:(KJV-1611) Psa 104:3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.(Creole-HT) ======= Psalm 104:4 ============ Psa 104:4 Who maketh his angels spirits; his ministers a flaming fire:(KJV-1611) Psa 104:4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.(Creole-HT) ======= Psalm 104:5 ============ Psa 104:5 Who laid the foundations of the earth, that it should not be removed for ever.(KJV-1611) Psa 104:5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.(Creole-HT) ======= Psalm 104:6 ============ Psa 104:6 Thou coveredst it with the deep as with a garment: the waters stood above the mountains.(KJV-1611) Psa 104:6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:7 ============ Psa 104:7 At thy rebuke they fled; at the voice of thy thunder they hasted away.(KJV-1611) Psa 104:7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.(Creole-HT) ======= Psalm 104:8 ============ Psa 104:8 They go up by the mountains; they go down by the valleys unto the place which thou hast founded for them.(KJV-1611) Psa 104:8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:9 ============ Psa 104:9 Thou hast set a bound that they may not pass over; that they turn not again to cover the earth.(KJV-1611) Psa 104:9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 104:10 ============ Psa 104:10 He sendeth the springs into the valleys, which run among the hills.(KJV-1611) Psa 104:10 Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:11 ============ Psa 104:11 They give drink to every beast of the field: the wild asses quench their thirst.(KJV-1611) Psa 104:11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:12 ============ Psa 104:12 By them shall the fowls of the heaven have their habitation, which sing among the branches.(KJV-1611) Psa 104:12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:13 ============ Psa 104:13 He watereth the hills from his chambers: the earth is satisfied with the fruit of thy works.(KJV-1611) Psa 104:13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.(Creole-HT) ======= Psalm 104:14 ============ Psa 104:14 He causeth the grass to grow for the cattle, and herb for the service of man: that he may bring forth food out of the earth;(KJV-1611) Psa 104:14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,(Creole-HT) ======= Psalm 104:15 ============ Psa 104:15 And wine that maketh glad the heart of man, and oil to make his face to shine, and bread which strengtheneth man's heart.(KJV-1611) Psa 104:15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.(Creole-HT) ======= Psalm 104:16 ============ Psa 104:16 The trees of the LORD are full of sap; the cedars of Lebanon, which he hath planted;(KJV-1611) Psa 104:16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.(Creole-HT) ======= Psalm 104:17 ============ Psa 104:17 Where the birds make their nests: as for the stork, the fir trees are her house.(KJV-1611) Psa 104:17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:18 ============ Psa 104:18 The high hills are a refuge for the wild goats; and the rocks for the conies.(KJV-1611) Psa 104:18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:19 ============ Psa 104:19 He appointed the moon for seasons: the sun knoweth his going down.(KJV-1611) Psa 104:19 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.(Creole-HT) ======= Psalm 104:20 ============ Psa 104:20 Thou makest darkness, and it is night: wherein all the beasts of the forest do creep forth.(KJV-1611) Psa 104:20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.(Creole-HT) ======= Psalm 104:21 ============ Psa 104:21 The young lions roar after their prey, and seek their meat from God.(KJV-1611) Psa 104:21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.(Creole-HT) ======= Psalm 104:22 ============ Psa 104:22 The sun ariseth, they gather themselves together, and lay them down in their dens.(KJV-1611) Psa 104:22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:23 ============ Psa 104:23 Man goeth forth unto his work and to his labour until the evening.(KJV-1611) Psa 104:23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.(Creole-HT) ======= Psalm 104:24 ============ Psa 104:24 O LORD, how manifold are thy works! in wisdom hast thou made them all: the earth is full of thy riches.(KJV-1611) Psa 104:24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.(Creole-HT) ======= Psalm 104:25 ============ Psa 104:25 So is this great and wide sea, wherein are things creeping innumerable, both small and great beasts.(KJV-1611) Psa 104:25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.(Creole-HT) ======= Psalm 104:26 ============ Psa 104:26 There go the ships: there is that leviathan, whom thou hast made to play therein.(KJV-1611) Psa 104:26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 104:27 ============ Psa 104:27 These wait all upon thee; that thou mayest give them their meat in due season.(KJV-1611) Psa 104:27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.(Creole-HT) ======= Psalm 104:28 ============ Psa 104:28 That thou givest them they gather: thou openest thine hand, they are filled with good.(KJV-1611) Psa 104:28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.(Creole-HT) ======= Psalm 104:29 ============ Psa 104:29 Thou hidest thy face, they are troubled: thou takest away their breath, they die, and return to their dust.(KJV-1611) Psa 104:29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.(Creole-HT) ======= Psalm 104:30 ============ Psa 104:30 Thou sendest forth thy spirit, they are created: and thou renewest the face of the earth.(KJV-1611) Psa 104:30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.(Creole-HT) ======= Psalm 104:31 ============ Psa 104:31 The glory of the LORD shall endure for ever: the LORD shall rejoice in his works.(KJV-1611) Psa 104:31 Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Psalm 104:32 ============ Psa 104:32 He looketh on the earth, and it trembleth: he toucheth the hills, and they smoke.(KJV-1611) Psa 104:32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.(Creole-HT) ======= Psalm 104:33 ============ Psa 104:33 I will sing unto the LORD as long as I live: I will sing praise to my God while I have my being.(KJV-1611) Psa 104:33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.(Creole-HT) ======= Psalm 104:34 ============ Psa 104:34 My meditation of him shall be sweet: I will be glad in the LORD.(KJV-1611) Psa 104:34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 104:35 ============ Psa 104:35 Let the sinners be consumed out of the earth, and let the wicked be no more. Bless thou the LORD, O my soul. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 104:35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 105:1 ============ Psa 105:1 O give thanks unto the LORD; call upon his name: make known his deeds among the people.(KJV-1611) Psa 105:1 Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!(Creole-HT) ======= Psalm 105:2 ============ Psa 105:2 Sing unto him, sing psalms unto him: talk ye of all his wondrous works.(KJV-1611) Psa 105:2 Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!(Creole-HT) ======= Psalm 105:3 ============ Psa 105:3 Glory ye in his holy name: let the heart of them rejoice that seek the LORD.(KJV-1611) Psa 105:3 Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!(Creole-HT) ======= Psalm 105:4 ============ Psa 105:4 Seek the LORD, and his strength: seek his face evermore.(KJV-1611) Psa 105:4 Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 105:5 ============ Psa 105:5 Remember his marvellous works that he hath done; his wonders, and the judgments of his mouth;(KJV-1611) Psa 105:5 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Psalm 105:6 ============ Psa 105:6 O ye seed of Abraham his servant, ye children of Jacob his chosen.(KJV-1611) Psa 105:6 Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!(Creole-HT) ======= Psalm 105:7 ============ Psa 105:7 He is the LORD our God: his judgments are in all the earth.(KJV-1611) Psa 105:7 Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.(Creole-HT) ======= Psalm 105:8 ============ Psa 105:8 He hath remembered his covenant for ever, the word which he commanded to a thousand generations.(KJV-1611) Psa 105:8 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Psalm 105:9 ============ Psa 105:9 Which covenant he made with Abraham, and his oath unto Isaac;(KJV-1611) Psa 105:9 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 105:10 ============ Psa 105:10 And confirmed the same unto Jacob for a law, and to Israel for an everlasting covenant:(KJV-1611) Psa 105:10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 105:11 ============ Psa 105:11 Saying, Unto thee will I give the land of Canaan, the lot of your inheritance:(KJV-1611) Psa 105:11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:12 ============ Psa 105:12 When they were but a few men in number; yea, very few, and strangers in it.(KJV-1611) Psa 105:12 Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 105:13 ============ Psa 105:13 When they went from one nation to another, from one kingdom to another people;(KJV-1611) Psa 105:13 Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.(Creole-HT) ======= Psalm 105:14 ============ Psa 105:14 He suffered no man to do them wrong: yea, he reproved kings for their sakes;(KJV-1611) Psa 105:14 Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:15 ============ Psa 105:15 Saying, Touch not mine anointed, and do my prophets no harm.(KJV-1611) Psa 105:15 Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 105:16 ============ Psa 105:16 Moreover he called for a famine upon the land: he brake the whole staff of bread.(KJV-1611) Psa 105:16 Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,(Creole-HT) ======= Psalm 105:17 ============ Psa 105:17 He sent a man before them, even Joseph, who was sold for a servant:(KJV-1611) Psa 105:17 li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.(Creole-HT) ======= Psalm 105:18 ============ Psa 105:18 Whose feet they hurt with fetters: he was laid in iron:(KJV-1611) Psa 105:18 Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,(Creole-HT) ======= Psalm 105:19 ============ Psa 105:19 Until the time that his word came: the word of the LORD tried him.(KJV-1611) Psa 105:19 jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.(Creole-HT) ======= Psalm 105:20 ============ Psa 105:20 The king sent and loosed him; even the ruler of the people, and let him go free.(KJV-1611) Psa 105:20 Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.(Creole-HT) ======= Psalm 105:21 ============ Psa 105:21 He made him lord of his house, and ruler of all his substance:(KJV-1611) Psa 105:21 Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 105:22 ============ Psa 105:22 To bind his princes at his pleasure; and teach his senators wisdom.(KJV-1611) Psa 105:22 Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Psalm 105:23 ============ Psa 105:23 Israel also came into Egypt; and Jacob sojourned in the land of Ham.(KJV-1611) Psa 105:23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:24 ============ Psa 105:24 And he increased his people greatly; and made them stronger than their enemies.(KJV-1611) Psa 105:24 Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:25 ============ Psa 105:25 He turned their heart to hate his people, to deal subtilly with his servants.(KJV-1611) Psa 105:25 Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.(Creole-HT) ======= Psalm 105:26 ============ Psa 105:26 He sent Moses his servant; and Aaron whom he had chosen.(KJV-1611) Psa 105:26 Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.(Creole-HT) ======= Psalm 105:27 ============ Psa 105:27 They shewed his signs among them, and wonders in the land of Ham.(KJV-1611) Psa 105:27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Psalm 105:28 ============ Psa 105:28 He sent darkness, and made it dark; and they rebelled not against his word.(KJV-1611) Psa 105:28 Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:29 ============ Psa 105:29 He turned their waters into blood, and slew their fish.(KJV-1611) Psa 105:29 Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:30 ============ Psa 105:30 Their land brought forth frogs in abundance, in the chambers of their kings.(KJV-1611) Psa 105:30 Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.(Creole-HT) ======= Psalm 105:31 ============ Psa 105:31 He spake, and there came divers sorts of flies, and lice in all their coasts.(KJV-1611) Psa 105:31 Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 105:32 ============ Psa 105:32 He gave them hail for rain, and flaming fire in their land.(KJV-1611) Psa 105:32 Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 105:33 ============ Psa 105:33 He smote their vines also and their fig trees; and brake the trees of their coasts.(KJV-1611) Psa 105:33 Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.(Creole-HT) ======= Psalm 105:34 ============ Psa 105:34 He spake, and the locusts came, and caterpillers, and that without number,(KJV-1611) Psa 105:34 Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.(Creole-HT) ======= Psalm 105:35 ============ Psa 105:35 And did eat up all the herbs in their land, and devoured the fruit of their ground.(KJV-1611) Psa 105:35 Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:36 ============ Psa 105:36 He smote also all the firstborn in their land, the chief of all their strength.(KJV-1611) Psa 105:36 Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:37 ============ Psa 105:37 He brought them forth also with silver and gold: and there was not one feeble person among their tribes.(KJV-1611) Psa 105:37 Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.(Creole-HT) ======= Psalm 105:38 ============ Psa 105:38 Egypt was glad when they departed: for the fear of them fell upon them.(KJV-1611) Psa 105:38 Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 105:39 ============ Psa 105:39 He spread a cloud for a covering; and fire to give light in the night.(KJV-1611) Psa 105:39 Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.(Creole-HT) ======= Psalm 105:40 ============ Psa 105:40 The people asked, and he brought quails, and satisfied them with the bread of heaven.(KJV-1611) Psa 105:40 Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.(Creole-HT) ======= Psalm 105:41 ============ Psa 105:41 He opened the rock, and the waters gushed out; they ran in the dry places like a river.(KJV-1611) Psa 105:41 Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.(Creole-HT) ======= Psalm 105:42 ============ Psa 105:42 For he remembered his holy promise, and Abraham his servant.(KJV-1611) Psa 105:42 Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 105:43 ============ Psa 105:43 And he brought forth his people with joy, and his chosen with gladness:(KJV-1611) Psa 105:43 Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 105:44 ============ Psa 105:44 And gave them the lands of the heathen: and they inherited the labour of the people;(KJV-1611) Psa 105:44 Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,(Creole-HT) ======= Psalm 105:45 ============ Psa 105:45 That they might observe his statutes, and keep his laws. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 105:45 pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 106:1 ============ Psa 106:1 Praise ye the LORD. O give thanks unto the LORD; for he is good: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 106:1 Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou.(Creole-HT) ======= Psalm 106:2 ============ Psa 106:2 Who can utter the mighty acts of the LORD? who can shew forth all his praise?(KJV-1611) Psa 106:2 Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?(Creole-HT) ======= Psalm 106:3 ============ Psa 106:3 Blessed are they that keep judgment, and he that doeth righteousness at all times.(KJV-1611) Psa 106:3 Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!(Creole-HT) ======= Psalm 106:4 ============ Psa 106:4 Remember me, O LORD, with the favour that thou bearest unto thy people: O visit me with thy salvation;(KJV-1611) Psa 106:4 Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:5 ============ Psa 106:5 That I may see the good of thy chosen, that I may rejoice in the gladness of thy nation, that I may glory with thine inheritance.(KJV-1611) Psa 106:5 Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:6 ============ Psa 106:6 We have sinned with our fathers, we have committed iniquity, we have done wickedly.(KJV-1611) Psa 106:6 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 106:7 ============ Psa 106:7 Our fathers understood not thy wonders in Egypt; they remembered not the multitude of thy mercies; but provoked him at the sea, even at the Red sea.(KJV-1611) Psa 106:7 Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Psalm 106:8 ============ Psa 106:8 Nevertheless he saved them for his name's sake, that he might make his mighty power to be known.(KJV-1611) Psa 106:8 Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 106:9 ============ Psa 106:9 He rebuked the Red sea also, and it was dried up: so he led them through the depths, as through the wilderness.(KJV-1611) Psa 106:9 Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè.(Creole-HT) ======= Psalm 106:10 ============ Psa 106:10 And he saved them from the hand of him that hated them, and redeemed them from the hand of the enemy.(KJV-1611) Psa 106:10 Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:11 ============ Psa 106:11 And the waters covered their enemies: there was not one of them left.(KJV-1611) Psa 106:11 Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.(Creole-HT) ======= Psalm 106:12 ============ Psa 106:12 Then believed they his words; they sang his praise.(KJV-1611) Psa 106:12 Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 106:13 ============ Psa 106:13 They soon forgat his works; they waited not for his counsel:(KJV-1611) Psa 106:13 Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'.(Creole-HT) ======= Psalm 106:14 ============ Psa 106:14 But lusted exceedingly in the wilderness, and tempted God in the desert.(KJV-1611) Psa 106:14 Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:15 ============ Psa 106:15 And he gave them their request; but sent leanness into their soul.(KJV-1611) Psa 106:15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:16 ============ Psa 106:16 They envied Moses also in the camp, and Aaron the saint of the LORD.(KJV-1611) Psa 106:16 Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.(Creole-HT) ======= Psalm 106:17 ============ Psa 106:17 The earth opened and swallowed up Dathan and covered the company of Abiram.(KJV-1611) Psa 106:17 Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:18 ============ Psa 106:18 And a fire was kindled in their company; the flame burned up the wicked.(KJV-1611) Psa 106:18 Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:19 ============ Psa 106:19 They made a calf in Horeb, and worshipped the molten image.(KJV-1611) Psa 106:19 Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.(Creole-HT) ======= Psalm 106:20 ============ Psa 106:20 Thus they changed their glory into the similitude of an ox that eateth grass.(KJV-1611) Psa 106:20 Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.(Creole-HT) ======= Psalm 106:21 ============ Psa 106:21 They forgat God their saviour, which had done great things in Egypt;(KJV-1611) Psa 106:21 Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,(Creole-HT) ======= Psalm 106:22 ============ Psa 106:22 Wondrous works in the land of Ham, and terrible things by the Red sea.(KJV-1611) Psa 106:22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= Psalm 106:23 ============ Psa 106:23 Therefore he said that he would destroy them, had not Moses his chosen stood before him in the breach, to turn away his wrath, lest he should destroy them.(KJV-1611) Psa 106:23 Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:24 ============ Psa 106:24 Yea, they despised the pleasant land, they believed not his word:(KJV-1611) Psa 106:24 Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 106:25 ============ Psa 106:25 But murmured in their tents, and hearkened not unto the voice of the LORD.(KJV-1611) Psa 106:25 Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 106:26 ============ Psa 106:26 Therefore he lifted up his hand against them, to overthrow them in the wilderness:(KJV-1611) Psa 106:26 Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a.(Creole-HT) ======= Psalm 106:27 ============ Psa 106:27 To overthrow their seed also among the nations, and to scatter them in the lands.(KJV-1611) Psa 106:27 L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.(Creole-HT) ======= Psalm 106:28 ============ Psa 106:28 They joined themselves also unto Baalpeor, and ate the sacrifices of the dead.(KJV-1611) Psa 106:28 Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:29 ============ Psa 106:29 Thus they provoked him to anger with their inventions: and the plague brake in upon them.(KJV-1611) Psa 106:29 Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:30 ============ Psa 106:30 Then stood up Phinehas, and executed judgment: and so the plague was stayed.(KJV-1611) Psa 106:30 Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.(Creole-HT) ======= Psalm 106:31 ============ Psa 106:31 And that was counted unto him for righteousness unto all generations for evermore.(KJV-1611) Psa 106:31 Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 106:32 ============ Psa 106:32 They angered him also at the waters of strife, so that it went ill with Moses for their sakes:(KJV-1611) Psa 106:32 Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:33 ============ Psa 106:33 Because they provoked his spirit, so that he spake unadvisedly with his lips.(KJV-1611) Psa 106:33 Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè.(Creole-HT) ======= Psalm 106:34 ============ Psa 106:34 They did not destroy the nations, concerning whom the LORD commanded them:(KJV-1611) Psa 106:34 Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.(Creole-HT) ======= Psalm 106:35 ============ Psa 106:35 But were mingled among the heathen, and learned their works.(KJV-1611) Psa 106:35 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:36 ============ Psa 106:36 And they served their idols: which were a snare unto them.(KJV-1611) Psa 106:36 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:37 ============ Psa 106:37 Yea, they sacrificed their sons and their daughters unto devils,(KJV-1611) Psa 106:37 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:38 ============ Psa 106:38 And shed innocent blood, even the blood of their sons and of their daughters, whom they sacrificed unto the idols of Canaan: and the land was polluted with blood.(KJV-1611) Psa 106:38 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.(Creole-HT) ======= Psalm 106:39 ============ Psa 106:39 Thus were they defiled with their own works, and went a whoring with their own inventions.(KJV-1611) Psa 106:39 Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 106:40 ============ Psa 106:40 Therefore was the wrath of the LORD kindled against his people, insomuch that he abhorred his own inheritance.(KJV-1611) Psa 106:40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:41 ============ Psa 106:41 And he gave them into the hand of the heathen; and they that hated them ruled over them.(KJV-1611) Psa 106:41 Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:42 ============ Psa 106:42 Their enemies also oppressed them, and they were brought into subjection under their hand.(KJV-1611) Psa 106:42 Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:43 ============ Psa 106:43 Many times did he deliver them; but they provoked him with their counsel, and were brought low for their iniquity.(KJV-1611) Psa 106:43 Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.(Creole-HT) ======= Psalm 106:44 ============ Psa 106:44 Nevertheless he regarded their affliction, when he heard their cry:(KJV-1611) Psa 106:44 Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele.(Creole-HT) ======= Psalm 106:45 ============ Psa 106:45 And he remembered for them his covenant, and repented according to the multitude of his mercies.(KJV-1611) Psa 106:45 Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 106:46 ============ Psa 106:46 He made them also to be pitied of all those that carried them captives.(KJV-1611) Psa 106:46 Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 106:47 ============ Psa 106:47 Save us, O LORD our God, and gather us from among the heathen, to give thanks unto thy holy name, and to triumph in thy praise.(KJV-1611) Psa 106:47 Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Psalm 106:48 ============ Psa 106:48 Blessed be the LORD God of Israel from everlasting to everlasting: and let all the people say, Amen. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 106:48 Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 107:1 ============ Psa 107:1 O give thanks unto the LORD, for he is good: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 107:1 Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 107:2 ============ Psa 107:2 Let the redeemed of the LORD say so, whom he hath redeemed from the hand of the enemy;(KJV-1611) Psa 107:2 Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,(Creole-HT) ======= Psalm 107:3 ============ Psa 107:3 And gathered them out of the lands, from the east, and from the west, from the north, and from the south.(KJV-1611) Psa 107:3 li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.(Creole-HT) ======= Psalm 107:4 ============ Psa 107:4 They wandered in the wilderness in a solitary way; they found no city to dwell in.(KJV-1611) Psa 107:4 Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.(Creole-HT) ======= Psalm 107:5 ============ Psa 107:5 Hungry and thirsty, their soul fainted in them.(KJV-1611) Psa 107:5 Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 107:6 ============ Psa 107:6 Then they cried unto the LORD in their trouble, and he delivered them out of their distresses.(KJV-1611) Psa 107:6 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:7 ============ Psa 107:7 And he led them forth by the right way, that they might go to a city of habitation.(KJV-1611) Psa 107:7 Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.(Creole-HT) ======= Psalm 107:8 ============ Psa 107:8 Oh that men would praise the LORD for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!(KJV-1611) Psa 107:8 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 107:9 ============ Psa 107:9 For he satisfieth the longing soul, and filleth the hungry soul with goodness.(KJV-1611) Psa 107:9 Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.(Creole-HT) ======= Psalm 107:10 ============ Psa 107:10 Such as sit in darkness and in the shadow of death, being bound in affliction and iron;(KJV-1611) Psa 107:10 Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,(Creole-HT) ======= Psalm 107:11 ============ Psa 107:11 Because they rebelled against the words of God, and contemned the counsel of the most High:(KJV-1611) Psa 107:11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:12 ============ Psa 107:12 Therefore he brought down their heart with labour; they fell down, and there was none to help.(KJV-1611) Psa 107:12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men.(Creole-HT) ======= Psalm 107:13 ============ Psa 107:13 Then they cried unto the LORD in their trouble, and he saved them out of their distresses.(KJV-1611) Psa 107:13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:14 ============ Psa 107:14 He brought them out of darkness and the shadow of death, and brake their bands in sunder.(KJV-1611) Psa 107:14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:15 ============ Psa 107:15 Oh that men would praise the LORD for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!(KJV-1611) Psa 107:15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 107:16 ============ Psa 107:16 For he hath broken the gates of brass, and cut the bars of iron in sunder.(KJV-1611) Psa 107:16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:17 ============ Psa 107:17 Fools because of their transgression, and because of their iniquities, are afflicted.(KJV-1611) Psa 107:17 Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 107:18 ============ Psa 107:18 Their soul abhorreth all manner of meat; and they draw near unto the gates of death.(KJV-1611) Psa 107:18 Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 107:19 ============ Psa 107:19 Then they cry unto the LORD in their trouble, and he saveth them out of their distresses.(KJV-1611) Psa 107:19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:20 ============ Psa 107:20 He sent his word, and healed them, and delivered them from their destructions.(KJV-1611) Psa 107:20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:21 ============ Psa 107:21 Oh that men would praise the LORD for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!(KJV-1611) Psa 107:21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 107:22 ============ Psa 107:22 And let them sacrifice the sacrifices of thanksgiving, and declare his works with rejoicing.(KJV-1611) Psa 107:22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 107:23 ============ Psa 107:23 They that go down to the sea in ships, that do business in great waters;(KJV-1611) Psa 107:23 Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv.(Creole-HT) ======= Psalm 107:24 ============ Psa 107:24 These see the works of the LORD, and his wonders in the deep.(KJV-1611) Psa 107:24 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.(Creole-HT) ======= Psalm 107:25 ============ Psa 107:25 For he commandeth, and raiseth the stormy wind, which lifteth up the waves thereof.(KJV-1611) Psa 107:25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move.(Creole-HT) ======= Psalm 107:26 ============ Psa 107:26 They mount up to the heaven, they go down again to the depths: their soul is melted because of trouble.(KJV-1611) Psa 107:26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:27 ============ Psa 107:27 They reel to and fro, and stagger like a drunken man, and are at their wit's end.(KJV-1611) Psa 107:27 Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:28 ============ Psa 107:28 Then they cry unto the LORD in their trouble, and he bringeth them out of their distresses.(KJV-1611) Psa 107:28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:29 ============ Psa 107:29 He maketh the storm a calm, so that the waves thereof are still.(KJV-1611) Psa 107:29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 107:30 ============ Psa 107:30 Then are they glad because they be quiet; so he bringeth them unto their desired haven.(KJV-1611) Psa 107:30 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a.(Creole-HT) ======= Psalm 107:31 ============ Psa 107:31 Oh that men would praise the LORD for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!(KJV-1611) Psa 107:31 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.(Creole-HT) ======= Psalm 107:32 ============ Psa 107:32 Let them exalt him also in the congregation of the people, and praise him in the assembly of the elders.(KJV-1611) Psa 107:32 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= Psalm 107:33 ============ Psa 107:33 He turneth rivers into a wilderness, and the watersprings into dry ground;(KJV-1611) Psa 107:33 Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 107:34 ============ Psa 107:34 A fruitful land into barrenness, for the wickedness of them that dwell therein.(KJV-1611) Psa 107:34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.(Creole-HT) ======= Psalm 107:35 ============ Psa 107:35 He turneth the wilderness into a standing water, and dry ground into watersprings.(KJV-1611) Psa 107:35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.(Creole-HT) ======= Psalm 107:36 ============ Psa 107:36 And there he maketh the hungry to dwell, that they may prepare a city for habitation;(KJV-1611) Psa 107:36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.(Creole-HT) ======= Psalm 107:37 ============ Psa 107:37 And sow the fields, and plant vineyards, which may yield fruits of increase.(KJV-1611) Psa 107:37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.(Creole-HT) ======= Psalm 107:38 ============ Psa 107:38 He blesseth them also, so that they are multiplied greatly; and suffereth not their cattle to decrease.(KJV-1611) Psa 107:38 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.(Creole-HT) ======= Psalm 107:39 ============ Psa 107:39 Again, they are minished and brought low through oppression, affliction, and sorrow.(KJV-1611) Psa 107:39 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè.(Creole-HT) ======= Psalm 107:40 ============ Psa 107:40 He poureth contempt upon princes, and causeth them to wander in the wilderness, where there is no way.(KJV-1611) Psa 107:40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,(Creole-HT) ======= Psalm 107:41 ============ Psa 107:41 Yet setteth he the poor on high from affliction, and maketh him families like a flock.(KJV-1611) Psa 107:41 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.(Creole-HT) ======= Psalm 107:42 ============ Psa 107:42 The righteous shall see it, and rejoice: and all iniquity shall stop her mouth.(KJV-1611) Psa 107:42 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.(Creole-HT) ======= Psalm 107:43 ============ Psa 107:43 Whoso is wise, and will observe these things, even they shall understand the lovingkindness of the LORD.(KJV-1611) Psa 107:43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!(Creole-HT) ======= Psalm 108:1 ============ Psa 108:1 O god, my heart is fixed; I will sing and give praise, even with my glory.(KJV-1611) Psa 108:1 Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 108:2 ============ Psa 108:2 Awake, psaltery and harp: I myself will awake early.(KJV-1611) Psa 108:2 M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen, mwen pral fè solèy leve!(Creole-HT) ======= Psalm 108:3 ============ Psa 108:3 I will praise thee, O LORD, among the people: and I will sing praises unto thee among the nations.(KJV-1611) Psa 108:3 Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!(Creole-HT) ======= Psalm 108:4 ============ Psa 108:4 For thy mercy is great above the heavens: and thy truth reacheth unto the clouds.(KJV-1611) Psa 108:4 Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 108:5 ============ Psa 108:5 Be thou exalted, O God, above the heavens: and thy glory above all the earth;(KJV-1611) Psa 108:5 Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa! Fè yo wè pouvwa ou sou tout latè!(Creole-HT) ======= Psalm 108:6 ============ Psa 108:6 That thy beloved may be delivered: save with thy right hand, and answer me.(KJV-1611) Psa 108:6 Delivre nou ak pouvwa ou! Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Psalm 108:7 ============ Psa 108:7 God hath spoken in his holiness; I will rejoice, I will divide Shechem, and mete out the valley of Succoth.(KJV-1611) Psa 108:7 Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.(Creole-HT) ======= Psalm 108:8 ============ Psa 108:8 Gilead is mine; Manasseh is mine; Ephraim also is the strength of mine head; Judah is my lawgiver;(KJV-1611) Psa 108:8 Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman m' li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 108:9 ============ Psa 108:9 Moab is my washpot; over Edom will I cast out my shoe; over Philistia will I triumph.(KJV-1611) Psa 108:9 Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 108:10 ============ Psa 108:10 Who will bring me into the strong city? who will lead me into Edom?(KJV-1611) Psa 108:10 Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?(Creole-HT) ======= Psalm 108:11 ============ Psa 108:11 Wilt not thou, O God, who hast cast us off? and wilt not thou, O God, go forth with our hosts?(KJV-1611) Psa 108:11 Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?(Creole-HT) ======= Psalm 108:12 ============ Psa 108:12 Give us help from trouble: for vain is the help of man.(KJV-1611) Psa 108:12 Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch.(Creole-HT) ======= Psalm 108:13 ============ Psa 108:13 Through God we shall do valiantly: for he it is that shall tread down our enemies.(KJV-1611) Psa 108:13 Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= Psalm 109:1 ============ Psa 109:1 Hold not thy peace, O God of my praise;(KJV-1611) Psa 109:1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 109:2 ============ Psa 109:2 For the mouth of the wicked and the mouth of the deceitful are opened against me: they have spoken against me with a lying tongue.(KJV-1611) Psa 109:2 Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 109:3 ============ Psa 109:3 They compassed me about also with words of hatred; and fought against me without a cause.(KJV-1611) Psa 109:3 Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 109:4 ============ Psa 109:4 For my love they are my adversaries: but I give myself unto prayer.(KJV-1611) Psa 109:4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 109:5 ============ Psa 109:5 And they have rewarded me evil for good, and hatred for my love.(KJV-1611) Psa 109:5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 109:6 ============ Psa 109:6 Set thou a wicked man over him: and let Satan stand at his right hand.(KJV-1611) Psa 109:6 Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.(Creole-HT) ======= Psalm 109:7 ============ Psa 109:7 When he shall be judged, let him be condemned: and let his prayer become sin.(KJV-1611) Psa 109:7 Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.(Creole-HT) ======= Psalm 109:8 ============ Psa 109:8 Let his days be few; and let another take his office.(KJV-1611) Psa 109:8 Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.(Creole-HT) ======= Psalm 109:9 ============ Psa 109:9 Let his children be fatherless, and his wife a widow.(KJV-1611) Psa 109:9 Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.(Creole-HT) ======= Psalm 109:10 ============ Psa 109:10 Let his children be continually vagabonds, and beg: let them seek their bread also out of their desolate places.(KJV-1611) Psa 109:10 Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.(Creole-HT) ======= Psalm 109:11 ============ Psa 109:11 Let the extortioner catch all that he hath; and let the strangers spoil his labour.(KJV-1611) Psa 109:11 Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.(Creole-HT) ======= Psalm 109:12 ============ Psa 109:12 Let there be none to extend mercy unto him: neither let there be any to favour his fatherless children.(KJV-1611) Psa 109:12 Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.(Creole-HT) ======= Psalm 109:13 ============ Psa 109:13 Let his posterity be cut off; and in the generation following let their name be blotted out.(KJV-1611) Psa 109:13 Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.(Creole-HT) ======= Psalm 109:14 ============ Psa 109:14 Let the iniquity of his fathers be remembered with the LORD; and let not the sin of his mother be blotted out.(KJV-1611) Psa 109:14 Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 109:15 ============ Psa 109:15 Let them be before the LORD continually, that he may cut off the memory of them from the earth.(KJV-1611) Psa 109:15 Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,(Creole-HT) ======= Psalm 109:16 ============ Psa 109:16 Because that he remembered not to shew mercy, but persecuted the poor and needy man, that he might even slay the broken in heart.(KJV-1611) Psa 109:16 paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 109:17 ============ Psa 109:17 As he loved cursing, so let it come unto him: as he delighted not in blessing, so let it be far from him.(KJV-1611) Psa 109:17 Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.(Creole-HT) ======= Psalm 109:18 ============ Psa 109:18 As he clothed himself with cursing like as with his garment, so let it come into his bowels like water, and like oil into his bones.(KJV-1611) Psa 109:18 Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.(Creole-HT) ======= Psalm 109:19 ============ Psa 109:19 Let it be unto him as the garment which covereth him, and for a girdle wherewith he is girded continually.(KJV-1611) Psa 109:19 Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.(Creole-HT) ======= Psalm 109:20 ============ Psa 109:20 Let this be the reward of mine adversaries from the LORD, and of them that speak evil against my soul.(KJV-1611) Psa 109:20 Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.(Creole-HT) ======= Psalm 109:21 ============ Psa 109:21 But do thou for me, O GOD the Lord, for thy name's sake: because thy mercy is good, deliver thou me.(KJV-1611) Psa 109:21 Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 109:22 ============ Psa 109:22 For I am poor and needy, and my heart is wounded within me.(KJV-1611) Psa 109:22 Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.(Creole-HT) ======= Psalm 109:23 ============ Psa 109:23 I am gone like the shadow when it declineth: I am tossed up and down as the locust.(KJV-1611) Psa 109:23 Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.(Creole-HT) ======= Psalm 109:24 ============ Psa 109:24 My knees are weak through fasting; and my flesh faileth of fatness.(KJV-1611) Psa 109:24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!(Creole-HT) ======= Psalm 109:25 ============ Psa 109:25 I became also a reproach unto them: when they looked upon me they shaked their heads.(KJV-1611) Psa 109:25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.(Creole-HT) ======= Psalm 109:26 ============ Psa 109:26 Help me, O LORD my God: O save me according to thy mercy:(KJV-1611) Psa 109:26 Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 109:27 ============ Psa 109:27 That they may know that this is thy hand; that thou, LORD, hast done it.(KJV-1611) Psa 109:27 Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 109:28 ============ Psa 109:28 Let them curse, but bless thou: when they arise, let them be ashamed; but let thy servant rejoice.(KJV-1611) Psa 109:28 Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 109:29 ============ Psa 109:29 Let mine adversaries be clothed with shame, and let them cover themselves with their own confusion, as with a mantle.(KJV-1611) Psa 109:29 Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 109:30 ============ Psa 109:30 I will greatly praise the LORD with my mouth; yea, I will praise him among the multitude.(KJV-1611) Psa 109:30 M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,(Creole-HT) ======= Psalm 109:31 ============ Psa 109:31 For he shall stand at the right hand of the poor, to save him from those that condemn his soul.(KJV-1611) Psa 109:31 paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 110:1 ============ Psa 110:1 The LORD said unto my Lord, Sit thou at my right hand, until I make thine enemies thy footstool.(KJV-1611) Psa 110:1 Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 110:2 ============ Psa 110:2 The LORD shall send the rod of thy strength out of Zion: rule thou in the midst of thine enemies.(KJV-1611) Psa 110:2 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 110:3 ============ Psa 110:3 Thy people shall be willing in the day of thy power, in the beauties of holiness from the womb of the morning: thou hast the dew of thy youth.(KJV-1611) Psa 110:3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Psalm 110:4 ============ Psa 110:4 The LORD hath sworn, and will not repent, Thou art a priest for ever after the order of Melchizedek.(KJV-1611) Psa 110:4 Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.(Creole-HT) ======= Psalm 110:5 ============ Psa 110:5 The Lord at thy right hand shall strike through kings in the day of his wrath.(KJV-1611) Psa 110:5 Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 110:6 ============ Psa 110:6 He shall judge among the heathen, he shall fill the places with the dead bodies; he shall wound the heads over many countries.(KJV-1611) Psa 110:6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 110:7 ============ Psa 110:7 He shall drink of the brook in the way: therefore shall he lift up the head.(KJV-1611) Psa 110:7 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 111:1 ============ Psa 111:1 Praise ye the LORD. I will praise the LORD with my whole heart, in the assembly of the upright, and in the congregation.(KJV-1611) Psa 111:1 Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.(Creole-HT) ======= Psalm 111:2 ============ Psa 111:2 The works of the LORD are great, sought out of all them that have pleasure therein.(KJV-1611) Psa 111:2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.(Creole-HT) ======= Psalm 111:3 ============ Psa 111:3 His work is honourable and glorious: and his righteousness endureth for ever.(KJV-1611) Psa 111:3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 111:4 ============ Psa 111:4 He hath made his wonderful works to be remembered: the LORD is gracious and full of compassion.(KJV-1611) Psa 111:4 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 111:5 ============ Psa 111:5 He hath given meat unto them that fear him: he will ever be mindful of his covenant.(KJV-1611) Psa 111:5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.(Creole-HT) ======= Psalm 111:6 ============ Psa 111:6 He hath shewed his people the power of his works, that he may give them the heritage of the heathen.(KJV-1611) Psa 111:6 Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 111:7 ============ Psa 111:7 The works of his hands are verity and judgment; all his commandments are sure.(KJV-1611) Psa 111:7 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo.(Creole-HT) ======= Psalm 111:8 ============ Psa 111:8 They stand fast for ever and ever, and are done in truth and uprightness.(KJV-1611) Psa 111:8 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre.(Creole-HT) ======= Psalm 111:9 ============ Psa 111:9 He sent redemption unto his people: he hath commanded his covenant for ever: holy and reverend is his name.(KJV-1611) Psa 111:9 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!(Creole-HT) ======= Psalm 111:10 ============ Psa 111:10 The fear of the LORD is the beginning of wisdom: a good understanding have all they that do his commandments: his praise endureth for ever.(KJV-1611) Psa 111:10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 112:1 ============ Psa 112:1 Praise ye the LORD. Blessed is the man that feareth the LORD, that delighteth greatly in his commandments.(KJV-1611) Psa 112:1 Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande!(Creole-HT) ======= Psalm 112:2 ============ Psa 112:2 His seed shall be mighty upon earth: the generation of the upright shall be blessed.(KJV-1611) Psa 112:2 Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 112:3 ============ Psa 112:3 Wealth and riches shall be in his house: and his righteousness endureth for ever.(KJV-1611) Psa 112:3 Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Psalm 112:4 ============ Psa 112:4 Unto the upright there ariseth light in the darkness: he is gracious, and full of compassion, and righteous.(KJV-1611) Psa 112:4 Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 112:5 ============ Psa 112:5 A good man sheweth favour, and lendeth: he will guide his affairs with discretion.(KJV-1611) Psa 112:5 Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!(Creole-HT) ======= Psalm 112:6 ============ Psa 112:6 Surely he shall not be moved for ever: the righteous shall be in everlasting remembrance.(KJV-1611) Psa 112:6 Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.(Creole-HT) ======= Psalm 112:7 ============ Psa 112:7 He shall not be afraid of evil tidings: his heart is fixed, trusting in the LORD.(KJV-1611) Psa 112:7 Kè l' p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 112:8 ============ Psa 112:8 His heart is established, he shall not be afraid, until he see his desire upon his enemies.(KJV-1611) Psa 112:8 Anyen p'ap brannen l', li pa pè anyen. Se konsa l'ap kanpe gade moun ki pa vle wè l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 112:9 ============ Psa 112:9 He hath dispersed, he hath given to the poor; his righteousness endureth for ever; his horn shall be exalted with honour.(KJV-1611) Psa 112:9 Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.(Creole-HT) ======= Psalm 112:10 ============ Psa 112:10 The wicked shall see it, and be grieved; he shall gnash with his teeth, and melt away: the desire of the wicked shall perish.(KJV-1611) Psa 112:10 Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.(Creole-HT) ======= Psalm 113:1 ============ Psa 113:1 Praise ye the LORD. Praise, O ye servants of the LORD, praise the name of the LORD.(KJV-1611) Psa 113:1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 113:2 ============ Psa 113:2 Blessed be the name of the LORD from this time forth and for evermore.(KJV-1611) Psa 113:2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 113:3 ============ Psa 113:3 From the rising of the sun unto the going down of the same the LORD's name is to be praised.(KJV-1611) Psa 113:3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 113:4 ============ Psa 113:4 The LORD is high above all nations, and his glory above the heavens.(KJV-1611) Psa 113:4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 113:5 ============ Psa 113:5 Who is like unto the LORD our God, who dwelleth on high,(KJV-1611) Psa 113:5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 113:6 ============ Psa 113:6 Who humbleth himself to behold the things that are in heaven, and in the earth!(KJV-1611) Psa 113:6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 113:7 ============ Psa 113:7 He raiseth up the poor out of the dust, and lifteth the needy out of the dunghill;(KJV-1611) Psa 113:7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.(Creole-HT) ======= Psalm 113:8 ============ Psa 113:8 That he may set him with princes, even with the princes of his people.(KJV-1611) Psa 113:8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.(Creole-HT) ======= Psalm 113:9 ============ Psa 113:9 He maketh the barren woman to keep house, and to be a joyful mother of children. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 113:9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 114:1 ============ Psa 114:1 When Israel went out of Egypt, the house of Jacob from a people of strange language;(KJV-1611) Psa 114:1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,(Creole-HT) ======= Psalm 114:2 ============ Psa 114:2 Judah was his sanctuary, and Israel his dominion.(KJV-1611) Psa 114:2 Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l'.(Creole-HT) ======= Psalm 114:3 ============ Psa 114:3 The sea saw it, and fled: Jordan was driven back.(KJV-1611) Psa 114:3 Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.(Creole-HT) ======= Psalm 114:4 ============ Psa 114:4 The mountains skipped like rams, and the little hills like lambs.(KJV-1611) Psa 114:4 Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.(Creole-HT) ======= Psalm 114:5 ============ Psa 114:5 What ailed thee, O thou sea, that thou fleddest? thou Jordan, that thou wast driven back?(KJV-1611) Psa 114:5 Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?(Creole-HT) ======= Psalm 114:6 ============ Psa 114:6 Ye mountains, that ye skipped like rams; and ye little hills, like lambs?(KJV-1611) Psa 114:6 Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n'ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n'ap sote ponpe tankou ti mouton?(Creole-HT) ======= Psalm 114:7 ============ Psa 114:7 Tremble, thou earth, at the presence of the Lord, at the presence of the God of Jacob;(KJV-1611) Psa 114:7 Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.(Creole-HT) ======= Psalm 114:8 ============ Psa 114:8 Which turned the rock into a standing water, the flint into a fountain of waters.(KJV-1611) Psa 114:8 Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:1 ============ Psa 115:1 Not unto us, O LORD, not unto us, but unto thy name give glory, for thy mercy, and for thy truth's sake.(KJV-1611) Psa 115:1 Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!(Creole-HT) ======= Psalm 115:2 ============ Psa 115:2 Wherefore should the heathen say, Where is now their God?(KJV-1611) Psa 115:2 Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?(Creole-HT) ======= Psalm 115:3 ============ Psa 115:3 But our God is in the heavens: he hath done whatsoever he hath pleased.(KJV-1611) Psa 115:3 Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle.(Creole-HT) ======= Psalm 115:4 ============ Psa 115:4 Their idols are silver and gold, the work of men's hands.(KJV-1611) Psa 115:4 Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:5 ============ Psa 115:5 They have mouths, but they speak not: eyes have they, but they see not:(KJV-1611) Psa 115:5 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.(Creole-HT) ======= Psalm 115:6 ============ Psa 115:6 They have ears, but they hear not: noses have they, but they smell not:(KJV-1611) Psa 115:6 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.(Creole-HT) ======= Psalm 115:7 ============ Psa 115:7 They have hands, but they handle not: feet have they, but they walk not: neither speak they through their throat.(KJV-1611) Psa 115:7 Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:8 ============ Psa 115:8 They that make them are like unto them; so is every one that trusteth in them.(KJV-1611) Psa 115:8 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:9 ============ Psa 115:9 O Israel, trust thou in the LORD: he is their help and their shield.(KJV-1611) Psa 115:9 Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.(Creole-HT) ======= Psalm 115:10 ============ Psa 115:10 O house of Aaron, trust in the LORD: he is their help and their shield.(KJV-1611) Psa 115:10 Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.(Creole-HT) ======= Psalm 115:11 ============ Psa 115:11 Ye that fear the LORD, trust in the LORD: he is their help and their shield.(KJV-1611) Psa 115:11 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.(Creole-HT) ======= Psalm 115:12 ============ Psa 115:12 The LORD hath been mindful of us: he will bless us; he will bless the house of Israel; he will bless the house of Aaron.(KJV-1611) Psa 115:12 Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:13 ============ Psa 115:13 He will bless them that fear the LORD, both small and great.(KJV-1611) Psa 115:13 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.(Creole-HT) ======= Psalm 115:14 ============ Psa 115:14 The LORD shall increase you more and more, you and your children.(KJV-1611) Psa 115:14 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.(Creole-HT) ======= Psalm 115:15 ============ Psa 115:15 Ye are blessed of the LORD which made heaven and earth.(KJV-1611) Psa 115:15 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!(Creole-HT) ======= Psalm 115:16 ============ Psa 115:16 The heaven, even the heavens, are the LORD's: but the earth hath he given to the children of men.(KJV-1611) Psa 115:16 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 115:17 ============ Psa 115:17 The dead praise not the LORD, neither any that go down into silence.(KJV-1611) Psa 115:17 Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 115:18 ============ Psa 115:18 But we will bless the LORD from this time forth and for evermore. Praise the LORD.(KJV-1611) Psa 115:18 Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 116:1 ============ Psa 116:1 I love the LORD, because he hath heard my voice and my supplications.(KJV-1611) Psa 116:1 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 116:2 ============ Psa 116:2 Because he hath inclined his ear unto me, therefore will I call upon him as long as I live.(KJV-1611) Psa 116:2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.(Creole-HT) ======= Psalm 116:3 ============ Psa 116:3 The sorrows of death compassed me, and the pains of hell gat hold upon me: I found trouble and sorrow.(KJV-1611) Psa 116:3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Psalm 116:4 ============ Psa 116:4 Then called I upon the name of the LORD; O LORD, I beseech thee, deliver my soul.(KJV-1611) Psa 116:4 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!(Creole-HT) ======= Psalm 116:5 ============ Psa 116:5 Gracious is the LORD, and righteous; yea, our God is merciful.(KJV-1611) Psa 116:5 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.(Creole-HT) ======= Psalm 116:6 ============ Psa 116:6 The LORD preserveth the simple: I was brought low, and he helped me.(KJV-1611) Psa 116:6 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 116:7 ============ Psa 116:7 Return unto thy rest, O my soul; for the LORD hath dealt bountifully with thee.(KJV-1611) Psa 116:7 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 116:8 ============ Psa 116:8 For thou hast delivered my soul from death, mine eyes from tears, and my feet from falling.(KJV-1611) Psa 116:8 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.(Creole-HT) ======= Psalm 116:9 ============ Psa 116:9 I will walk before the LORD in the land of the living.(KJV-1611) Psa 116:9 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 116:10 ============ Psa 116:10 I believed, therefore have I spoken: I was greatly afflicted:(KJV-1611) Psa 116:10 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 116:11 ============ Psa 116:11 I said in my haste, All men are liars.(KJV-1611) Psa 116:11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!(Creole-HT) ======= Psalm 116:12 ============ Psa 116:12 What shall I render unto the LORD for all his benefits toward me?(KJV-1611) Psa 116:12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?(Creole-HT) ======= Psalm 116:13 ============ Psa 116:13 I will take the cup of salvation, and call upon the name of the LORD.(KJV-1611) Psa 116:13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 116:14 ============ Psa 116:14 I will pay my vows unto the LORD now in the presence of all his people.(KJV-1611) Psa 116:14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.(Creole-HT) ======= Psalm 116:15 ============ Psa 116:15 Precious in the sight of the LORD is the death of his saints.(KJV-1611) Psa 116:15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!(Creole-HT) ======= Psalm 116:16 ============ Psa 116:16 O LORD, truly I am thy servant; I am thy servant, and the son of thine handmaid: thou hast loosed my bonds.(KJV-1611) Psa 116:16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 116:17 ============ Psa 116:17 I will offer to thee the sacrifice of thanksgiving, and will call upon the name of the LORD.(KJV-1611) Psa 116:17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 116:18 ============ Psa 116:18 I will pay my vows unto the LORD now in the presence of all his people.(KJV-1611) Psa 116:18 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Psalm 116:19 ============ Psa 116:19 In the courts of the LORD's house, in the midst of thee, O Jerusalem. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 116:19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 117:1 ============ Psa 117:1 O praise the LORD, all ye nations: praise him, all ye people.(KJV-1611) Psa 117:1 Nou menm nasyon yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 117:2 ============ Psa 117:2 For his merciful kindness is great toward us: and the truth of the LORD endureth for ever. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 117:2 Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 118:1 ============ Psa 118:1 O give thanks unto the LORD; for he is good: because his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 118:1 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 118:2 ============ Psa 118:2 Let Israel now say, that his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 118:2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 118:3 ============ Psa 118:3 Let the house of Aaron now say, that his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 118:3 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 118:4 ============ Psa 118:4 Let them now that fear the LORD say, that his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 118:4 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 118:5 ============ Psa 118:5 I called upon the LORD in distress: the LORD answered me, and set me in a large place.(KJV-1611) Psa 118:5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 118:6 ============ Psa 118:6 The LORD is on my side; I will not fear: what can man do unto me?(KJV-1611) Psa 118:6 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?(Creole-HT) ======= Psalm 118:7 ============ Psa 118:7 The LORD taketh my part with them that help me: therefore shall I see my desire upon them that hate me.(KJV-1611) Psa 118:7 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 118:8 ============ Psa 118:8 It is better to trust in the LORD than to put confidence in man.(KJV-1611) Psa 118:8 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.(Creole-HT) ======= Psalm 118:9 ============ Psa 118:9 It is better to trust in the LORD than to put confidence in princes.(KJV-1611) Psa 118:9 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.(Creole-HT) ======= Psalm 118:10 ============ Psa 118:10 All nations compassed me about: but in the name of the LORD will I destroy them.(KJV-1611) Psa 118:10 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 118:11 ============ Psa 118:11 They compassed me about; yea, they compassed me about: but in the name of the LORD I will destroy them.(KJV-1611) Psa 118:11 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 118:12 ============ Psa 118:12 They compassed me about like bees: they are quenched as the fire of thorns: for in the name of the LORD I will destroy them.(KJV-1611) Psa 118:12 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.(Creole-HT) ======= Psalm 118:13 ============ Psa 118:13 Thou hast thrust sore at me that I might fall: but the LORD helped me.(KJV-1611) Psa 118:13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.(Creole-HT) ======= Psalm 118:14 ============ Psa 118:14 The LORD is my strength and song, and is become my salvation.(KJV-1611) Psa 118:14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 118:15 ============ Psa 118:15 The voice of rejoicing and salvation is in the tabernacles of the righteous: the right hand of the LORD doeth valiantly.(KJV-1611) Psa 118:15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 118:16 ============ Psa 118:16 The right hand of the LORD is exalted: the right hand of the LORD doeth valiantly.(KJV-1611) Psa 118:16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.(Creole-HT) ======= Psalm 118:17 ============ Psa 118:17 I shall not die, but live, and declare the works of the LORD.(KJV-1611) Psa 118:17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 118:18 ============ Psa 118:18 The LORD hath chastened me sore: but he hath not given me over unto death.(KJV-1611) Psa 118:18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.(Creole-HT) ======= Psalm 118:19 ============ Psa 118:19 Open to me the gates of righteousness: I will go into them, and I will praise the LORD:(KJV-1611) Psa 118:19 Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.(Creole-HT) ======= Psalm 118:20 ============ Psa 118:20 This gate of the LORD, into which the righteous shall enter.(KJV-1611) Psa 118:20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 118:21 ============ Psa 118:21 I will praise thee: for thou hast heard me, and art become my salvation.(KJV-1611) Psa 118:21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 118:22 ============ Psa 118:22 The stone which the builders refused is become the head stone of the corner.(KJV-1611) Psa 118:22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.(Creole-HT) ======= Psalm 118:23 ============ Psa 118:23 This is the LORD's doing; it is marvellous in our eyes.(KJV-1611) Psa 118:23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!(Creole-HT) ======= Psalm 118:24 ============ Psa 118:24 This is the day which the LORD hath made; we will rejoice and be glad in it.(KJV-1611) Psa 118:24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!(Creole-HT) ======= Psalm 118:25 ============ Psa 118:25 Save now, I beseech thee, O LORD: O LORD, I beseech thee, send now prosperity.(KJV-1611) Psa 118:25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!(Creole-HT) ======= Psalm 118:26 ============ Psa 118:26 Blessed be he that cometh in the name of the LORD: we have blessed you out of the house of the LORD.(KJV-1611) Psa 118:26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou.(Creole-HT) ======= Psalm 118:27 ============ Psa 118:27 God is the LORD, which hath shewed us light: bind the sacrifice with cords, even unto the horns of the altar.(KJV-1611) Psa 118:27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 118:28 ============ Psa 118:28 Thou art my God, and I will praise thee: thou art my God, I will exalt thee.(KJV-1611) Psa 118:28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 118:29 ============ Psa 118:29 O give thanks unto the LORD; for he is good: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 118:29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 119:1 ============ Psa 119:1 Blessed are the undefiled in the way, who walk in the law of the LORD.(KJV-1611) Psa 119:1 Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 119:2 ============ Psa 119:2 Blessed are they that keep his testimonies, and that seek him with the whole heart.(KJV-1611) Psa 119:2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!(Creole-HT) ======= Psalm 119:3 ============ Psa 119:3 They also do no iniquity: they walk in his ways.(KJV-1611) Psa 119:3 Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:4 ============ Psa 119:4 Thou hast commanded us to keep thy precepts diligently.(KJV-1611) Psa 119:4 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.(Creole-HT) ======= Psalm 119:5 ============ Psa 119:5 O that my ways were directed to keep thy statutes!(KJV-1611) Psa 119:5 Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!(Creole-HT) ======= Psalm 119:6 ============ Psa 119:6 Then shall I not be ashamed, when I have respect unto all thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:6 Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:7 ============ Psa 119:7 I will praise thee with uprightness of heart, when I shall have learned thy righteous judgments.(KJV-1611) Psa 119:7 M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:8 ============ Psa 119:8 I will keep thy statutes: O forsake me not utterly.(KJV-1611) Psa 119:8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:9 ============ Psa 119:9 Wherewithal shall a young man cleanse his way? by taking heed thereto according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:9 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.(Creole-HT) ======= Psalm 119:10 ============ Psa 119:10 With my whole heart have I sought thee: O let me not wander from thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:11 ============ Psa 119:11 Thy word have I hid in mine heart, that I might not sin against thee.(KJV-1611) Psa 119:11 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:12 ============ Psa 119:12 Blessed art thou, O LORD: teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:12 Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:13 ============ Psa 119:13 With my lips have I declared all the judgments of thy mouth.(KJV-1611) Psa 119:13 M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:14 ============ Psa 119:14 I have rejoiced in the way of thy testimonies, as much as in all riches.(KJV-1611) Psa 119:14 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:15 ============ Psa 119:15 I will meditate in thy precepts, and have respect unto thy ways.(KJV-1611) Psa 119:15 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:16 ============ Psa 119:16 I will delight myself in thy statutes: I will not forget thy word.(KJV-1611) Psa 119:16 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:17 ============ Psa 119:17 Deal bountifully with thy servant, that I may live, and keep thy word.(KJV-1611) Psa 119:17 Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:18 ============ Psa 119:18 Open thou mine eyes, that I may behold wondrous things out of thy law.(KJV-1611) Psa 119:18 Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:19 ============ Psa 119:19 I am a stranger in the earth: hide not thy commandments from me.(KJV-1611) Psa 119:19 Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:20 ============ Psa 119:20 My soul breaketh for the longing that it hath unto thy judgments at all times.(KJV-1611) Psa 119:20 Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.(Creole-HT) ======= Psalm 119:21 ============ Psa 119:21 Thou hast rebuked the proud that are cursed, which do err from thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:21 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:22 ============ Psa 119:22 Remove from me reproach and contempt; for I have kept thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:22 Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:23 ============ Psa 119:23 Princes also did sit and speak against me: but thy servant did meditate in thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:23 Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.(Creole-HT) ======= Psalm 119:24 ============ Psa 119:24 Thy testimonies also are my delight and my counsellors.leth.(KJV-1611) Psa 119:24 Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:25 ============ Psa 119:25 My soul cleaveth unto the dust: quicken thou me according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:25 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:26 ============ Psa 119:26 I have declared my ways, and thou heardest me: teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:26 Mwen di ou tou sa m' te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m' tou sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:27 ============ Psa 119:27 Make me to understand the way of thy precepts: so shall I talk of thy wondrous works.(KJV-1611) Psa 119:27 Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:28 ============ Psa 119:28 My soul melteth for heaviness: strengthen thou me according unto thy word.(KJV-1611) Psa 119:28 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m'. Mete m' sou de pye m' ankò, jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:29 ============ Psa 119:29 Remove from me the way of lying: and grant me thy law graciously.(KJV-1611) Psa 119:29 Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:30 ============ Psa 119:30 I have chosen the way of truth: thy judgments have I laid before me.(KJV-1611) Psa 119:30 Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:31 ============ Psa 119:31 I have stuck unto thy testimonies: O LORD, put me not to shame.(KJV-1611) Psa 119:31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m' pran wont.(Creole-HT) ======= Psalm 119:32 ============ Psa 119:32 I will run the way of thy commandments, when thou shalt enlarge my heart.(KJV-1611) Psa 119:32 M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:33 ============ Psa 119:33 Teach me, O LORD, the way of thy statutes; and I shall keep it unto the end.(KJV-1611) Psa 119:33 Seyè, moutre m' jan pou m' swiv lòd ou yo, pou m' obeyi yo jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Psalm 119:34 ============ Psa 119:34 Give me understanding, and I shall keep thy law; yea, I shall observe it with my whole heart.(KJV-1611) Psa 119:34 Ban m' lespri pou m' ka obeyi lalwa ou, pou m' fè sa l' mande a ak tout kè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:35 ============ Psa 119:35 Make me to go in the path of thy commandments; for therein do I delight.(KJV-1611) Psa 119:35 Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:36 ============ Psa 119:36 Incline my heart unto thy testimonies, and not to covetousness.(KJV-1611) Psa 119:36 Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:37 ============ Psa 119:37 Turn away mine eyes from beholding vanity; and quicken thou me in thy way.(KJV-1611) Psa 119:37 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:38 ============ Psa 119:38 Stablish thy word unto thy servant, who is devoted to thy fear.(KJV-1611) Psa 119:38 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:39 ============ Psa 119:39 Turn away my reproach which I fear: for thy judgments are good.(KJV-1611) Psa 119:39 Pa kite yo joure m', mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!(Creole-HT) ======= Psalm 119:40 ============ Psa 119:40 Behold, I have longed after thy precepts: quicken me in thy righteousness.(KJV-1611) Psa 119:40 Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!(Creole-HT) ======= Psalm 119:41 ============ Psa 119:41 Let thy mercies come also unto me, O LORD, even thy salvation, according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:41 Fè m' wè jan ou renmen m', Seyè! vin delivre m', jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:42 ============ Psa 119:42 So shall I have wherewith to answer him that reproacheth me: for I trust in thy word.(KJV-1611) Psa 119:42 Lè sa a, m'a gen repons pou m' bay moun k'ap joure m' yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:43 ============ Psa 119:43 And take not the word of truth utterly out of my mouth; for I have hoped in thy judgments.(KJV-1611) Psa 119:43 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:44 ============ Psa 119:44 So shall I keep thy law continually for ever and ever.(KJV-1611) Psa 119:44 M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:45 ============ Psa 119:45 And I will walk at liberty: for I seek thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:45 M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:46 ============ Psa 119:46 I will speak of thy testimonies also before kings, and will not be ashamed.(KJV-1611) Psa 119:46 M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.(Creole-HT) ======= Psalm 119:47 ============ Psa 119:47 And I will delight myself in thy commandments, which I have loved.(KJV-1611) Psa 119:47 Mwen pran tout plezi m' nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:48 ============ Psa 119:48 My hands also will I lift up unto thy commandments, which I have loved; and I will meditate in thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:48 M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.(Creole-HT) ======= Psalm 119:49 ============ Psa 119:49 Remember the word unto thy servant, upon which thou hast caused me to hope.(KJV-1611) Psa 119:49 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.(Creole-HT) ======= Psalm 119:50 ============ Psa 119:50 This is my comfort in my affliction: for thy word hath quickened me.(KJV-1611) Psa 119:50 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m', se pwomès ou fè m' lan. Se sa ki fè m' viv.(Creole-HT) ======= Psalm 119:51 ============ Psa 119:51 The proud have had me greatly in derision: yet have I not declined from thy law.(KJV-1611) Psa 119:51 Yon bann awogan ap pase m' nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:52 ============ Psa 119:52 I remembered thy judgments of old, O LORD; and have comforted myself.(KJV-1611) Psa 119:52 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m' kouraj.(Creole-HT) ======= Psalm 119:53 ============ Psa 119:53 Horror hath taken hold upon me because of the wicked that forsake thy law.(KJV-1611) Psa 119:53 Sa mete m' ankòlè, lè m' wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:54 ============ Psa 119:54 Thy statutes have been my songs in the house of my pilgrimage.(KJV-1611) Psa 119:54 Mwen fè chante ak sa ou mande m' fè, nan kay ki pa lakay mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:55 ============ Psa 119:55 I have remembered thy name, O LORD, in the night, and have kept thy law.(KJV-1611) Psa 119:55 Lannwit se ou m'ap chonje, Seyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:56 ============ Psa 119:56 This I had, because I kept thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:56 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m'ap swiv tout lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:57 ============ Psa 119:57 Thou art my portion, O LORD: I have said that I would keep thy words.(KJV-1611) Psa 119:57 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m'ap kenbe pawòl ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:58 ============ Psa 119:58 I intreated thy favour with my whole heart: be merciful unto me according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:58 M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m': Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:59 ============ Psa 119:59 I thought on my ways, and turned my feet unto thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:59 Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m' ka mache dapre prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:60 ============ Psa 119:60 I made haste, and delayed not to keep thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m' obeyi kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:61 ============ Psa 119:61 The bands of the wicked have robbed me: but I have not forgotten thy law.(KJV-1611) Psa 119:61 Mechan yo sènen m' toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:62 ============ Psa 119:62 At midnight I will rise to give thanks unto thee because of thy righteous judgments.(KJV-1611) Psa 119:62 Nan mitan lannwit mwen leve pou m' di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 119:63 ============ Psa 119:63 I am a companion of all them that fear thee, and of them that keep thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:63 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:64 ============ Psa 119:64 The earth, O LORD, is full of thy mercy: teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:64 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:65 ============ Psa 119:65 Thou hast dealt well with thy servant, O LORD, according unto thy word.(KJV-1611) Psa 119:65 Ou te aji byen avè m', sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:66 ============ Psa 119:66 Teach me good judgment and knowledge: for I have believed thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:66 Moutre m' sa ki byen, louvri lespri m', ban m' konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:67 ============ Psa 119:67 Before I was afflicted I went astray: but now have I kept thy word.(KJV-1611) Psa 119:67 Anvan ou te pini m' lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m'ap fè tou sa ou di m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:68 ============ Psa 119:68 Thou art good, and doest good; teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:68 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m' sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:69 ============ Psa 119:69 The proud have forged a lie against me: but I will keep thy precepts with my whole heart.(KJV-1611) Psa 119:69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:70 ============ Psa 119:70 Their heart is as fat as grease; but I delight in thy law.(KJV-1611) Psa 119:70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:71 ============ Psa 119:71 It is good for me that I have been afflicted; that I might learn thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:71 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m' konnen sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:72 ============ Psa 119:72 The law of thy mouth is better unto me than thousands of gold and silver.(KJV-1611) Psa 119:72 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:73 ============ Psa 119:73 Thy hands have made me and fashioned me: give me understanding, that I may learn thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:73 Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:74 ============ Psa 119:74 They that fear thee will be glad when they see me; because I have hoped in thy word.(KJV-1611) Psa 119:74 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:75 ============ Psa 119:75 I know, O LORD, that thy judgments are right, and that thou in faithfulness hast afflicted me.(KJV-1611) Psa 119:75 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:76 ============ Psa 119:76 Let, I pray thee, thy merciful kindness be for my comfort, according to thy word unto thy servant.(KJV-1611) Psa 119:76 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:77 ============ Psa 119:77 Let thy tender mercies come unto me, that I may live: for thy law is my delight.(KJV-1611) Psa 119:77 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:78 ============ Psa 119:78 Let the proud be ashamed; for they dealt perversely with me without a cause: but I will meditate in thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:78 Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:79 ============ Psa 119:79 Let those that fear thee turn unto me, and those that have known thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:80 ============ Psa 119:80 Let my heart be sound in thy statutes; that I be not ashamed.(KJV-1611) Psa 119:80 Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.(Creole-HT) ======= Psalm 119:81 ============ Psa 119:81 My soul fainteth for thy salvation: but I hope in thy word.(KJV-1611) Psa 119:81 Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:82 ============ Psa 119:82 Mine eyes fail for thy word, saying, When wilt thou comfort me?(KJV-1611) Psa 119:82 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?(Creole-HT) ======= Psalm 119:83 ============ Psa 119:83 For I am become like a bottle in the smoke; yet do I not forget thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:83 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:84 ============ Psa 119:84 How many are the days of thy servant? when wilt thou execute judgment on them that persecute me?(KJV-1611) Psa 119:84 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?(Creole-HT) ======= Psalm 119:85 ============ Psa 119:85 The proud have digged pits for me, which are not after thy law.(KJV-1611) Psa 119:85 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.(Creole-HT) ======= Psalm 119:86 ============ Psa 119:86 All thy commandments are faithful: they persecute me wrongfully; help thou me.(KJV-1611) Psa 119:86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!(Creole-HT) ======= Psalm 119:87 ============ Psa 119:87 They had almost consumed me upon earth; but I forsook not thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:87 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:88 ============ Psa 119:88 Quicken me after thy lovingkindness; so shall I keep the testimony of thy mouth.(KJV-1611) Psa 119:88 Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:89 ============ Psa 119:89 For ever, O LORD, thy word is settled in heaven.(KJV-1611) Psa 119:89 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:90 ============ Psa 119:90 Thy faithfulness is unto all generations: thou hast established the earth, and it abideth.(KJV-1611) Psa 119:90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.(Creole-HT) ======= Psalm 119:91 ============ Psa 119:91 They continue this day according to thine ordinances: for all are thy servants.(KJV-1611) Psa 119:91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.(Creole-HT) ======= Psalm 119:92 ============ Psa 119:92 Unless thy law had been my delights, I should then have perished in mine affliction.(KJV-1611) Psa 119:92 Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:93 ============ Psa 119:93 I will never forget thy precepts: for with them thou hast quickened me.(KJV-1611) Psa 119:93 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 119:94 ============ Psa 119:94 I am thine, save me: for I have sought thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:94 Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:95 ============ Psa 119:95 The wicked have waited for me to destroy me: but I will consider thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:95 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:96 ============ Psa 119:96 I have seen an end of all perfection: but thy commandment is exceeding broad.(KJV-1611) Psa 119:96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:97 ============ Psa 119:97 O how I love thy law! it is my meditation all the day.(KJV-1611) Psa 119:97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.(Creole-HT) ======= Psalm 119:98 ============ Psa 119:98 Thou through thy commandments hast made me wiser than mine enemies: for they are ever with me.(KJV-1611) Psa 119:98 Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:99 ============ Psa 119:99 I have more understanding than all my teachers: for thy testimonies are my meditation.(KJV-1611) Psa 119:99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:100 ============ Psa 119:100 I understand more than the ancients, because I keep thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:101 ============ Psa 119:101 I have refrained my feet from every evil way, that I might keep thy word.(KJV-1611) Psa 119:101 Mwen veye pou m' pa mete pye m' nan move chemen, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:102 ============ Psa 119:102 I have not departed from thy judgments: for thou hast taught me.(KJV-1611) Psa 119:102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.(Creole-HT) ======= Psalm 119:103 ============ Psa 119:103 How sweet are thy words unto my taste! yea, sweeter than honey to my mouth!(KJV-1611) Psa 119:103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:104 ============ Psa 119:104 Through thy precepts I get understanding: therefore I hate every false way.(KJV-1611) Psa 119:104 Lòd ou yo fè m' konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 119:105 ============ Psa 119:105 Thy word is a lamp unto my feet, and a light unto my path.(KJV-1611) Psa 119:105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:106 ============ Psa 119:106 I have sworn, and I will perform it, that I will keep thy righteous judgments.(KJV-1611) Psa 119:106 Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:107 ============ Psa 119:107 I am afflicted very much: quicken me, O LORD, according unto thy word.(KJV-1611) Psa 119:107 Seyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m' lavi ankò jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:108 ============ Psa 119:108 Accept, I beseech thee, the freewill offerings of my mouth, O LORD, and teach me thy judgments.(KJV-1611) Psa 119:108 Seyè, koute lè m'ap lapriyè pou m' di ou mèsi. Fè m' konnen tou sa ou deside.(Creole-HT) ======= Psalm 119:109 ============ Psa 119:109 My soul is continually in my hand: yet do I not forget thy law.(KJV-1611) Psa 119:109 Se tout tan lavi m' an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:110 ============ Psa 119:110 The wicked have laid a snare for me: yet I erred not from thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t' dezobeyi lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:111 ============ Psa 119:111 Thy testimonies have I taken as an heritage for ever: for they are the rejoicing of my heart.(KJV-1611) Psa 119:111 Prensip ou yo se byen m' pou tout tan, se yo ki fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:112 ============ Psa 119:112 I have inclined mine heart to perform thy statutes alway, even unto the end.(KJV-1611) Psa 119:112 Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 119:113 ============ Psa 119:113 I hate vain thoughts: but thy law do I love.(KJV-1611) Psa 119:113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:114 ============ Psa 119:114 Thou art my hiding place and my shield: I hope in thy word.(KJV-1611) Psa 119:114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m' nan pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:115 ============ Psa 119:115 Depart from me, ye evildoers: for I will keep the commandments of my God.(KJV-1611) Psa 119:115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m' ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= Psalm 119:116 ============ Psa 119:116 Uphold me according unto thy word, that I may live: and let me not be ashamed of my hope.(KJV-1611) Psa 119:116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m' ka viv. Pa kite m' pran wont pou m' pa jwenn sa m'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:117 ============ Psa 119:117 Hold thou me up, and I shall be safe: and I will have respect unto thy statutes continually.(KJV-1611) Psa 119:117 Kenbe m' pou m' ka delivre. M'ap toujou veye pou m' pa janm bliye sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:118 ============ Psa 119:118 Thou hast trodden down all them that err from thy statutes: for their deceit is falsehood.(KJV-1611) Psa 119:118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:119 ============ Psa 119:119 Thou puttest away all the wicked of the earth like dross: therefore I love thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:120 ============ Psa 119:120 My flesh trembleth for fear of thee; and I am afraid of thy judgments.(KJV-1611) Psa 119:120 M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:121 ============ Psa 119:121 I have done judgment and justice: leave me not to mine oppressors.(KJV-1611) Psa 119:121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m' nan men lènmi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:122 ============ Psa 119:122 Be surety for thy servant for good: let not the proud oppress me.(KJV-1611) Psa 119:122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:123 ============ Psa 119:123 Mine eyes fail for thy salvation, and for the word of thy righteousness.(KJV-1611) Psa 119:123 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin sove m', jan ou te pwomèt fè m' jistis la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:124 ============ Psa 119:124 Deal with thy servant according unto thy mercy, and teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m' sa ou vle m' fè a.(Creole-HT) ======= Psalm 119:125 ============ Psa 119:125 I am thy servant; give me understanding, that I may know thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m', pou m' ka konnen prensip ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:126 ============ Psa 119:126 It is time for thee, LORD, to work: for they have made void thy law.(KJV-1611) Psa 119:126 Seyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:127 ============ Psa 119:127 Therefore I love thy commandments above gold; yea, above fine gold.(KJV-1611) Psa 119:127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.(Creole-HT) ======= Psalm 119:128 ============ Psa 119:128 Therefore I esteem all thy precepts concerning all things to be right; and I hate every false way.(KJV-1611) Psa 119:128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m' bay manti.(Creole-HT) ======= Psalm 119:129 ============ Psa 119:129 Thy testimonies are wonderful: therefore doth my soul keep them.(KJV-1611) Psa 119:129 Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:130 ============ Psa 119:130 The entrance of thy words giveth light; it giveth understanding unto the simple.(KJV-1611) Psa 119:130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 119:131 ============ Psa 119:131 I opened my mouth, and panted: for I longed for thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman m' anvi konnen kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:132 ============ Psa 119:132 Look thou upon me, and be merciful unto me, as thou usest to do unto those that love thy name.(KJV-1611) Psa 119:132 Vire gade m' non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l' pou moun ki renmen ou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 119:133 ============ Psa 119:133 Order my steps in thy word: and let not any iniquity have dominion over me.(KJV-1611) Psa 119:133 Soutni m' avèk pawòl ou pou m' pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 119:134 ============ Psa 119:134 Deliver me from the oppression of man: so will I keep thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:134 Delivre m' anba men moun k'ap peze m' yo pou m' ka mache dapre lòd ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:135 ============ Psa 119:135 Make thy face to shine upon thy servant; and teach me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:135 Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m' santi ou la avè m'. Moutre m' sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:136 ============ Psa 119:136 Rivers of waters run down mine eyes, because they keep not thy law.(KJV-1611) Psa 119:136 Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:137 ============ Psa 119:137 Righteous art thou, O LORD, and upright are thy judgments.(KJV-1611) Psa 119:137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:138 ============ Psa 119:138 Thy testimonies that thou hast commanded are righteous and very faithful.(KJV-1611) Psa 119:138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.(Creole-HT) ======= Psalm 119:139 ============ Psa 119:139 My zeal hath consumed me, because mine enemies have forgotten thy words.(KJV-1611) Psa 119:139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:140 ============ Psa 119:140 Thy word is very pure: therefore thy servant loveth it.(KJV-1611) Psa 119:140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.(Creole-HT) ======= Psalm 119:141 ============ Psa 119:141 I am small and despised: yet do not I forget thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:141 Mwen pa anyen, y'ap meprize m'. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:142 ============ Psa 119:142 Thy righteousness is an everlasting righteousness, and thy law is the truth.(KJV-1611) Psa 119:142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.(Creole-HT) ======= Psalm 119:143 ============ Psa 119:143 Trouble and anguish have taken hold on me: yet thy commandments are my delights.(KJV-1611) Psa 119:143 Mwen nan tray, kè m' ap kase. Men, mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:144 ============ Psa 119:144 The righteousness of thy testimonies is everlasting: give me understanding, and I shall live.(KJV-1611) Psa 119:144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m' bon konprann pou m' ka viv.(Creole-HT) ======= Psalm 119:145 ============ Psa 119:145 I cried with my whole heart; hear me, O LORD: I will keep thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:145 M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m' ka toujou fè sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:146 ============ Psa 119:146 I cried unto thee; save me, and I shall keep thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:146 M'ap rele ou, sove m' non, pou m' ka mache dapre prensip ou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 119:147 ============ Psa 119:147 I prevented the dawning of the morning, and cried: I hoped in thy word.(KJV-1611) Psa 119:147 Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.(Creole-HT) ======= Psalm 119:148 ============ Psa 119:148 Mine eyes prevent the night watches, that I might meditate in thy word.(KJV-1611) Psa 119:148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m' kalkile pawòl ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:149 ============ Psa 119:149 Hear my voice according unto thy lovingkindness: O LORD, quicken me according to thy judgment.(KJV-1611) Psa 119:149 Seyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:150 ============ Psa 119:150 They draw nigh that follow after mischief: they are far from thy law.(KJV-1611) Psa 119:150 Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:151 ============ Psa 119:151 Thou art near, O LORD; and all thy commandments are truth.(KJV-1611) Psa 119:151 Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.(Creole-HT) ======= Psalm 119:152 ============ Psa 119:152 Concerning thy testimonies, I have known of old that thou hast founded them for ever.(KJV-1611) Psa 119:152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:153 ============ Psa 119:153 Consider mine affliction, and deliver me: for I do not forget thy law.(KJV-1611) Psa 119:153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m' non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!(Creole-HT) ======= Psalm 119:154 ============ Psa 119:154 Plead my cause, and deliver me: quicken me according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:154 Defann kòz mwen, delivre m'. Ban m' lavi ankò, jan ou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:155 ============ Psa 119:155 Salvation is far from the wicked: for they seek not thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:155 Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:156 ============ Psa 119:156 Great are thy tender mercies, O LORD: quicken me according to thy judgments.(KJV-1611) Psa 119:156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m' lavi ankò, jan ou te deside l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:157 ============ Psa 119:157 Many are my persecutors and mine enemies; yet do I not decline from thy testimonies.(KJV-1611) Psa 119:157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m'. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.(Creole-HT) ======= Psalm 119:158 ============ Psa 119:158 I beheld the transgressors, and was grieved; because they kept not thy word.(KJV-1611) Psa 119:158 Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m' degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:159 ============ Psa 119:159 Consider how I love thy precepts: quicken me, O LORD, according to thy lovingkindness.(KJV-1611) Psa 119:159 Gade jan m' renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m' lavi ankò, paske ou renmen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:160 ============ Psa 119:160 Thy word is true from the beginning: and every one of thy righteous judgments endureth for ever.(KJV-1611) Psa 119:160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 119:161 ============ Psa 119:161 Princes have persecuted me without a cause: but my heart standeth in awe of thy word.(KJV-1611) Psa 119:161 Yon bann chèf ap pèsekite m' san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.(Creole-HT) ======= Psalm 119:162 ============ Psa 119:162 I rejoice at thy word, as one that findeth great spoil.(KJV-1611) Psa 119:162 Pawòl ou fè kè m' kontan. Se tankou si m' te jwenn yon gwo richès.(Creole-HT) ======= Psalm 119:163 ============ Psa 119:163 I hate and abhor lying: but thy law do I love.(KJV-1611) Psa 119:163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 119:164 ============ Psa 119:164 Seven times a day do I praise thee because of thy righteous judgments.(KJV-1611) Psa 119:164 Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 119:165 ============ Psa 119:165 Great peace have they which love thy law: and nothing shall offend them.(KJV-1611) Psa 119:165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.(Creole-HT) ======= Psalm 119:166 ============ Psa 119:166 LORD, I have hoped for thy salvation, and done thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:166 M'ap tann ou vin delivre m', Seyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:167 ============ Psa 119:167 My soul hath kept thy testimonies; and I love them exceedingly.(KJV-1611) Psa 119:167 M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 119:168 ============ Psa 119:168 I have kept thy precepts and thy testimonies: for all my ways are before thee.(KJV-1611) Psa 119:168 M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m' fè, paske ou konnen tout vire tounen m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:169 ============ Psa 119:169 Let my cry come near before thee, O LORD: give me understanding according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m' bon konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 119:170 ============ Psa 119:170 Let my supplication come before thee: deliver me according to thy word.(KJV-1611) Psa 119:170 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.(Creole-HT) ======= Psalm 119:171 ============ Psa 119:171 My lips shall utter praise, when thou hast taught me thy statutes.(KJV-1611) Psa 119:171 Se pou m' louvri bouch mwen pou m' fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m' sa ou vle m' fè.(Creole-HT) ======= Psalm 119:172 ============ Psa 119:172 My tongue shall speak of thy word: for all thy commandments are righteousness.(KJV-1611) Psa 119:172 Se pou m' chante pou m' fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.(Creole-HT) ======= Psalm 119:173 ============ Psa 119:173 Let thine hand help me; for I have chosen thy precepts.(KJV-1611) Psa 119:173 Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 119:174 ============ Psa 119:174 I have longed for thy salvation, O LORD; and thy law is my delight.(KJV-1611) Psa 119:174 Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 119:175 ============ Psa 119:175 Let my soul live, and it shall praise thee; and let thy judgments help me.(KJV-1611) Psa 119:175 Ban m' lavi pou m' fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m', jan ou te deside l' la.(Creole-HT) ======= Psalm 119:176 ============ Psa 119:176 I have gone astray like a lost sheep; seek thy servant; for I do not forget thy commandments.(KJV-1611) Psa 119:176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 120:1 ============ Psa 120:1 In my distress I cried unto the LORD, and he heard me.(KJV-1611) Psa 120:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 120:2 ============ Psa 120:2 Deliver my soul, O LORD, from lying lips, and from a deceitful tongue.(KJV-1611) Psa 120:2 Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.(Creole-HT) ======= Psalm 120:3 ============ Psa 120:3 What shall be given unto thee? or what shall be done unto thee, thou false tongue?(KJV-1611) Psa 120:3 Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?(Creole-HT) ======= Psalm 120:4 ============ Psa 120:4 Sharp arrows of the mighty, with coals of juniper.(KJV-1611) Psa 120:4 Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?(Creole-HT) ======= Psalm 120:5 ============ Psa 120:5 Woe is me, that I sojourn in Mesech, that I dwell in the tents of Kedar!(KJV-1611) Psa 120:5 Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.(Creole-HT) ======= Psalm 120:6 ============ Psa 120:6 My soul hath long dwelt with him that hateth peace.(KJV-1611) Psa 120:6 Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!(Creole-HT) ======= Psalm 120:7 ============ Psa 120:7 I am for peace: but when I speak, they are for war.(KJV-1611) Psa 120:7 Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.(Creole-HT) ======= Psalm 121:1 ============ Psa 121:1 I will lift up mine eyes unto the hills, from whence cometh my help.(KJV-1611) Psa 121:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?(Creole-HT) ======= Psalm 121:2 ============ Psa 121:2 My help cometh from the LORD, which made heaven and earth.(KJV-1611) Psa 121:2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 121:3 ============ Psa 121:3 He will not suffer thy foot to be moved: he that keepeth thee will not slumber.(KJV-1611) Psa 121:3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.(Creole-HT) ======= Psalm 121:4 ============ Psa 121:4 Behold, he that keepeth Israel shall neither slumber nor sleep.(KJV-1611) Psa 121:4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Psalm 121:5 ============ Psa 121:5 The LORD is thy keeper: the LORD is thy shade upon thy right hand.(KJV-1611) Psa 121:5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.(Creole-HT) ======= Psalm 121:6 ============ Psa 121:6 The sun shall not smite thee by day, nor the moon by night.(KJV-1611) Psa 121:6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 121:7 ============ Psa 121:7 The LORD shall preserve thee from all evil: he shall preserve thy soul.(KJV-1611) Psa 121:7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.(Creole-HT) ======= Psalm 121:8 ============ Psa 121:8 The LORD shall preserve thy going out and thy coming in from this time forth, and even for evermore.(KJV-1611) Psa 121:8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 122:1 ============ Psa 122:1 I was glad when they said unto me, Let us go into the house of the LORD.(KJV-1611) Psa 122:1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 122:2 ============ Psa 122:2 Our feet shall stand within thy gates, O Jerusalem.(KJV-1611) Psa 122:2 Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Psalm 122:3 ============ Psa 122:3 Jerusalem is builded as a city that is compact together:(KJV-1611) Psa 122:3 Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.(Creole-HT) ======= Psalm 122:4 ============ Psa 122:4 Whither the tribes go up, the tribes of the LORD, unto the testimony of Israel, to give thanks unto the name of the LORD.(KJV-1611) Psa 122:4 Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Psalm 122:5 ============ Psa 122:5 For there are set thrones of judgment, the thrones of the house of David.(KJV-1611) Psa 122:5 Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.(Creole-HT) ======= Psalm 122:6 ============ Psa 122:6 Pray for the peace of Jerusalem: they shall prosper that love thee.(KJV-1611) Psa 122:6 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Psalm 122:7 ============ Psa 122:7 Peace be within thy walls, and prosperity within thy palaces.(KJV-1611) Psa 122:7 Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Psalm 122:8 ============ Psa 122:8 For my brethren and companions' sakes, I will now say, Peace be within thee.(KJV-1611) Psa 122:8 Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!(Creole-HT) ======= Psalm 122:9 ============ Psa 122:9 Because of the house of the LORD our God I will seek thy good.(KJV-1611) Psa 122:9 Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 123:1 ============ Psa 123:1 Unto thee lift I up mine eyes, O thou that dwellest in the heavens.(KJV-1611) Psa 123:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 123:2 ============ Psa 123:2 Behold, as the eyes of servants look unto the hand of their masters, and as the eyes of a maiden unto the hand of her mistress; so our eyes wait upon the LORD our God, until that he have mercy upon us.(KJV-1611) Psa 123:2 Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 123:3 ============ Psa 123:3 Have mercy upon us, O LORD, have mercy upon us: for we are exceedingly filled with contempt.(KJV-1611) Psa 123:3 Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 123:4 ============ Psa 123:4 Our soul is exceedingly filled with the scorning of those that are at ease, and with the contempt of the proud.(KJV-1611) Psa 123:4 Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 124:1 ============ Psa 124:1 If it had not been the LORD who was on our side, now may Israel say;(KJV-1611) Psa 124:1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.(Creole-HT) ======= Psalm 124:2 ============ Psa 124:2 If it had not been the LORD who was on our side, when men rose up against us:(KJV-1611) Psa 124:2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,(Creole-HT) ======= Psalm 124:3 ============ Psa 124:3 Then they had swallowed us up quick, when their wrath was kindled against us:(KJV-1611) Psa 124:3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.(Creole-HT) ======= Psalm 124:4 ============ Psa 124:4 Then the waters had overwhelmed us, the stream had gone over our soul:(KJV-1611) Psa 124:4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 124:5 ============ Psa 124:5 Then the proud waters had gone over our soul.(KJV-1611) Psa 124:5 Wi, lavalas ta pote nou ale.(Creole-HT) ======= Psalm 124:6 ============ Psa 124:6 Blessed be the LORD, who hath not given us as a prey to their teeth.(KJV-1611) Psa 124:6 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.(Creole-HT) ======= Psalm 124:7 ============ Psa 124:7 Our soul is escaped as a bird out of the snare of the fowlers: the snare is broken, and we are escaped.(KJV-1611) Psa 124:7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.(Creole-HT) ======= Psalm 124:8 ============ Psa 124:8 Our help is in the name of the LORD, who made heaven and earth.(KJV-1611) Psa 124:8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 125:1 ============ Psa 125:1 They that trust in the LORD shall be as mount Zion, which cannot be removed, but abideth for ever.(KJV-1611) Psa 125:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 125:2 ============ Psa 125:2 As the mountains are round about Jerusalem, so the LORD is round about his people from henceforth even for ever.(KJV-1611) Psa 125:2 Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 125:3 ============ Psa 125:3 For the rod of the wicked shall not rest upon the lot of the righteous; lest the righteous put forth their hands unto iniquity.(KJV-1611) Psa 125:3 Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 125:4 ============ Psa 125:4 Do good, O LORD, unto those that be good, and to them that are upright in their hearts.(KJV-1611) Psa 125:4 Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.(Creole-HT) ======= Psalm 125:5 ============ Psa 125:5 As for such as turn aside unto their crooked ways, the LORD shall lead them forth with the workers of iniquity: but peace shall be upon Israel.(KJV-1611) Psa 125:5 Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Psalm 126:1 ============ Psa 126:1 When the LORD turned again the captivity of Zion, we were like them that dream.(KJV-1611) Psa 126:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!(Creole-HT) ======= Psalm 126:2 ============ Psa 126:2 Then was our mouth filled with laughter, and our tongue with singing: then said they among the heathen, The LORD hath done great things for them.(KJV-1611) Psa 126:2 Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 126:3 ============ Psa 126:3 The LORD hath done great things for us; whereof we are glad.(KJV-1611) Psa 126:3 Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 126:4 ============ Psa 126:4 Turn again our captivity, O LORD, as the streams in the south.(KJV-1611) Psa 126:4 Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 126:5 ============ Psa 126:5 They that sow in tears shall reap in joy.(KJV-1611) Psa 126:5 Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 126:6 ============ Psa 126:6 He that goeth forth and weepeth, bearing precious seed, shall doubtless come again with rejoicing, bringing his sheaves with him.(KJV-1611) Psa 126:6 Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.(Creole-HT) ======= Psalm 127:1 ============ Psa 127:1 Except the LORD build the house, they labour in vain that build it: except the LORD keep the city, the watchman waketh but in vain.(KJV-1611) Psa 127:1 Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Psalm 127:2 ============ Psa 127:2 It is vain for you to rise up early, to sit up late, to eat the bread of sorrows: for so he giveth his beloved sleep.(KJV-1611) Psa 127:2 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Psalm 127:3 ============ Psa 127:3 Lo, children are an heritage of the LORD: and the fruit of the womb is his reward.(KJV-1611) Psa 127:3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.(Creole-HT) ======= Psalm 127:4 ============ Psa 127:4 As arrows are in the hand of a mighty man; so are children of the youth.(KJV-1611) Psa 127:4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.(Creole-HT) ======= Psalm 127:5 ============ Psa 127:5 Happy is the man that hath his quiver full of them: they shall not be ashamed, but they shall speak with the enemies in the gate.(KJV-1611) Psa 127:5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.(Creole-HT) ======= Psalm 128:1 ============ Psa 128:1 Blessed is every one that feareth the LORD; that walketh in his ways.(KJV-1611) Psa 128:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!(Creole-HT) ======= Psalm 128:2 ============ Psa 128:2 For thou shalt eat the labour of thine hands: happy shalt thou be, and it shall be well with thee.(KJV-1611) Psa 128:2 Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.(Creole-HT) ======= Psalm 128:3 ============ Psa 128:3 Thy wife shall be as a fruitful vine by the sides of thine house: thy children like olive plants round about thy table.(KJV-1611) Psa 128:3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.(Creole-HT) ======= Psalm 128:4 ============ Psa 128:4 Behold, that thus shall the man be blessed that feareth the LORD.(KJV-1611) Psa 128:4 Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!(Creole-HT) ======= Psalm 128:5 ============ Psa 128:5 The LORD shall bless thee out of Zion: and thou shalt see the good of Jerusalem all the days of thy life.(KJV-1611) Psa 128:5 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 128:6 ============ Psa 128:6 Yea, thou shalt see thy children's children, and peace upon Israel.(KJV-1611) Psa 128:6 Mwen mande l' pou l' fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!(Creole-HT) ======= Psalm 129:1 ============ Psa 129:1 Many a time have they afflicted me from my youth, may Israel now say:(KJV-1611) Psa 129:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.(Creole-HT) ======= Psalm 129:2 ============ Psa 129:2 Many a time have they afflicted me from my youth: yet they have not prevailed against me.(KJV-1611) Psa 129:2 Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 129:3 ============ Psa 129:3 The plowers plowed upon my back: they made long their furrows.(KJV-1611) Psa 129:3 Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante.(Creole-HT) ======= Psalm 129:4 ============ Psa 129:4 The LORD is righteous: he hath cut asunder the cords of the wicked.(KJV-1611) Psa 129:4 Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.(Creole-HT) ======= Psalm 129:5 ============ Psa 129:5 Let them all be confounded and turned back that hate Zion.(KJV-1611) Psa 129:5 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.(Creole-HT) ======= Psalm 129:6 ============ Psa 129:6 Let them be as the grass upon the housetops, which withereth afore it groweth up:(KJV-1611) Psa 129:6 Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.(Creole-HT) ======= Psalm 129:7 ============ Psa 129:7 Wherewith the mower filleth not his hand; nor he that bindeth sheaves his bosom.(KJV-1611) Psa 129:7 Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.(Creole-HT) ======= Psalm 129:8 ============ Psa 129:8 Neither do they which go by say, The blessing of the LORD be upon you: we bless you in the name of the LORD.(KJV-1611) Psa 129:8 Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 130:1 ============ Psa 130:1 Out of the depths have I cried unto thee, O LORD.(KJV-1611) Psa 130:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 130:2 ============ Psa 130:2 Lord, hear my voice: let thine ears be attentive to the voice of my supplications.(KJV-1611) Psa 130:2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 130:3 ============ Psa 130:3 If thou, LORD, shouldest mark iniquities, O Lord, who shall stand?(KJV-1611) Psa 130:3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?(Creole-HT) ======= Psalm 130:4 ============ Psa 130:4 But there is forgiveness with thee, that thou mayest be feared.(KJV-1611) Psa 130:4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.(Creole-HT) ======= Psalm 130:5 ============ Psa 130:5 I wait for the LORD, my soul doth wait, and in his word do I hope.(KJV-1611) Psa 130:5 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.(Creole-HT) ======= Psalm 130:6 ============ Psa 130:6 My soul waiteth for the Lord more than they that watch for the morning: I say, more than they that watch for the morning.(KJV-1611) Psa 130:6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!(Creole-HT) ======= Psalm 130:7 ============ Psa 130:7 Let Israel hope in the LORD: for with the LORD there is mercy, and with him is plenteous redemption.(KJV-1611) Psa 130:7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.(Creole-HT) ======= Psalm 130:8 ============ Psa 130:8 And he shall redeem Israel from all his iniquities.(KJV-1611) Psa 130:8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 131:1 ============ Psa 131:1 Lord, my heart is not haughty, nor mine eyes lofty: neither do I exercise myself in great matters, or in things too high for me.(KJV-1611) Psa 131:1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.(Creole-HT) ======= Psalm 131:2 ============ Psa 131:2 Surely I have behaved and quieted myself, as a child that is weaned of his mother: my soul is even as a weaned child.(KJV-1611) Psa 131:2 Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.(Creole-HT) ======= Psalm 131:3 ============ Psa 131:3 Let Israel hope in the LORD from henceforth and for ever.(KJV-1611) Psa 131:3 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, depi koulye a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 132:1 ============ Psa 132:1 Lord, remember David, and all his afflictions:(KJV-1611) Psa 132:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 132:2 ============ Psa 132:2 How he sware unto the LORD, and vowed unto the mighty God of Jacob;(KJV-1611) Psa 132:2 Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:(Creole-HT) ======= Psalm 132:3 ============ Psa 132:3 Surely I will not come into the tabernacle of my house, nor go up into my bed;(KJV-1611) Psa 132:3 -Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,(Creole-HT) ======= Psalm 132:4 ============ Psa 132:4 I will not give sleep to mine eyes, or slumber to mine eyelids,(KJV-1611) Psa 132:4 mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',(Creole-HT) ======= Psalm 132:5 ============ Psa 132:5 Until I find out a place for the LORD, an habitation for the mighty God of Jacob.(KJV-1611) Psa 132:5 toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.(Creole-HT) ======= Psalm 132:6 ============ Psa 132:6 Lo, we heard of it at Ephratah: we found it in the fields of the wood.(KJV-1611) Psa 132:6 Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.(Creole-HT) ======= Psalm 132:7 ============ Psa 132:7 We will go into his tabernacles: we will worship at his footstool.(KJV-1611) Psa 132:7 Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.(Creole-HT) ======= Psalm 132:8 ============ Psa 132:8 Arise, O LORD, into thy rest; thou, and the ark of thy strength.(KJV-1611) Psa 132:8 Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Psalm 132:9 ============ Psa 132:9 Let thy priests be clothed with righteousness; and let thy saints shout for joy.(KJV-1611) Psa 132:9 Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 132:10 ============ Psa 132:10 For thy servant David's sake turn not away the face of thine anointed.(KJV-1611) Psa 132:10 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.(Creole-HT) ======= Psalm 132:11 ============ Psa 132:11 The LORD hath sworn in truth unto David; he will not turn from it; Of the fruit of thy body will I set upon thy throne.(KJV-1611) Psa 132:11 Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 132:12 ============ Psa 132:12 If thy children will keep my covenant and my testimony that I shall teach them, their children shall also sit upon thy throne for evermore.(KJV-1611) Psa 132:12 Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.(Creole-HT) ======= Psalm 132:13 ============ Psa 132:13 For the LORD hath chosen Zion; he hath desired it for his habitation.(KJV-1611) Psa 132:13 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.(Creole-HT) ======= Psalm 132:14 ============ Psa 132:14 This is my rest for ever: here will I dwell; for I have desired it.(KJV-1611) Psa 132:14 Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.(Creole-HT) ======= Psalm 132:15 ============ Psa 132:15 I will abundantly bless her provision: I will satisfy her poor with bread.(KJV-1611) Psa 132:15 M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.(Creole-HT) ======= Psalm 132:16 ============ Psa 132:16 I will also clothe her priests with salvation: and her saints shall shout aloud for joy.(KJV-1611) Psa 132:16 M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 132:17 ============ Psa 132:17 There will I make the horn of David to bud: I have ordained a lamp for mine anointed.(KJV-1611) Psa 132:17 Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.(Creole-HT) ======= Psalm 132:18 ============ Psa 132:18 His enemies will I clothe with shame: but upon himself shall his crown flourish.(KJV-1611) Psa 132:18 M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.(Creole-HT) ======= Psalm 133:1 ============ Psa 133:1 Behold, how good and how pleasant it is for brethren to dwell together in unity!(KJV-1611) Psa 133:1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!(Creole-HT) ======= Psalm 133:2 ============ Psa 133:2 It is like the precious ointment upon the head, that ran down upon the beard, even Aaron's beard: that went down to the skirts of his garments;(KJV-1611) Psa 133:2 Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.(Creole-HT) ======= Psalm 133:3 ============ Psa 133:3 As the dew of Hermon, and as the dew that descended upon the mountains of Zion: for there the LORD commanded the blessing, even life for evermore.(KJV-1611) Psa 133:3 Se tankou lawouze ki soti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Psalm 134:1 ============ Psa 134:1 Behold, bless ye the LORD, all ye servants of the LORD, which by night stand in the house of the LORD.(KJV-1611) Psa 134:1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 134:2 ============ Psa 134:2 Lift up your hands in the sanctuary, and bless the LORD.(KJV-1611) Psa 134:2 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 134:3 ============ Psa 134:3 The LORD that made heaven and earth bless thee out of Zion.(KJV-1611) Psa 134:3 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 135:1 ============ Psa 135:1 Praise ye the LORD. Praise ye the name of the LORD; praise him, O ye servants of the LORD.(KJV-1611) Psa 135:1 Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,(Creole-HT) ======= Psalm 135:2 ============ Psa 135:2 Ye that stand in the house of the LORD, in the courts of the house of our God.(KJV-1611) Psa 135:2 nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 135:3 ============ Psa 135:3 Praise the LORD; for the LORD is good: sing praises unto his name; for it is pleasant.(KJV-1611) Psa 135:3 Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.(Creole-HT) ======= Psalm 135:4 ============ Psa 135:4 For the LORD hath chosen Jacob unto himself, and Israel for his peculiar treasure.(KJV-1611) Psa 135:4 Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.(Creole-HT) ======= Psalm 135:5 ============ Psa 135:5 For I know that the LORD is great, and that our Lord is above all gods.(KJV-1611) Psa 135:5 Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:6 ============ Psa 135:6 Whatsoever the LORD pleased, that did he in heaven, and in earth, in the seas, and all deep places.(KJV-1611) Psa 135:6 Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.(Creole-HT) ======= Psalm 135:7 ============ Psa 135:7 He causeth the vapours to ascend from the ends of the earth; he maketh lightnings for the rain; he bringeth the wind out of his treasuries.(KJV-1611) Psa 135:7 Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.(Creole-HT) ======= Psalm 135:8 ============ Psa 135:8 Who smote the firstborn of Egypt, both of man and beast.(KJV-1611) Psa 135:8 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Psalm 135:9 ============ Psa 135:9 Who sent tokens and wonders into the midst of thee, O Egypt, upon Pharaoh, and upon all his servants.(KJV-1611) Psa 135:9 Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:10 ============ Psa 135:10 Who smote great nations, and slew mighty kings;(KJV-1611) Psa 135:10 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:(Creole-HT) ======= Psalm 135:11 ============ Psa 135:11 Sihon king of the Amorites, and Og king of Bashan, and all the kingdoms of Canaan:(KJV-1611) Psa 135:11 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:12 ============ Psa 135:12 And gave their land for an heritage, an heritage unto Israel his people.(KJV-1611) Psa 135:12 Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.(Creole-HT) ======= Psalm 135:13 ============ Psa 135:13 Thy name, O LORD, endureth for ever; and thy memorial, O LORD, throughout all generations.(KJV-1611) Psa 135:13 Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!(Creole-HT) ======= Psalm 135:14 ============ Psa 135:14 For the LORD will judge his people, and he will repent himself concerning his servants.(KJV-1611) Psa 135:14 Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:15 ============ Psa 135:15 The idols of the heathen are silver and gold, the work of men's hands.(KJV-1611) Psa 135:15 Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:16 ============ Psa 135:16 They have mouths, but they speak not; eyes have they, but they see not;(KJV-1611) Psa 135:16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.(Creole-HT) ======= Psalm 135:17 ============ Psa 135:17 They have ears, but they hear not; neither is there any breath in their mouths.(KJV-1611) Psa 135:17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:18 ============ Psa 135:18 They that make them are like unto them: so is every one that trusteth in them.(KJV-1611) Psa 135:18 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 135:19 ============ Psa 135:19 Bless the LORD, O house of Israel: bless the LORD, O house of Aaron:(KJV-1611) Psa 135:19 Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 135:20 ============ Psa 135:20 Bless the LORD, O house of Levi: ye that fear the LORD, bless the LORD.(KJV-1611) Psa 135:20 Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 135:21 ============ Psa 135:21 Blessed be the LORD out of Zion, which dwelleth at Jerusalem. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 135:21 Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 136:1 ============ Psa 136:1 O give thanks unto the LORD; for he is good: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:1 Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:2 ============ Psa 136:2 O give thanks unto the God of gods: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:2 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:3 ============ Psa 136:3 O give thanks to the Lord of lords: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:3 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:4 ============ Psa 136:4 To him who alone doeth great wonders: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:4 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:5 ============ Psa 136:5 To him that by wisdom made the heavens: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:5 Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:6 ============ Psa 136:6 To him that stretched out the earth above the waters: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:6 L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:(Creole-HT) ======= Psalm 136:7 ============ Psa 136:7 To him that made great lights: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:7 Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:8 ============ Psa 136:8 The sun to rule by day: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:8 Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:9 ============ Psa 136:9 The moon and stars to rule by night: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:9 Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:10 ============ Psa 136:10 To him that smote Egypt in their firstborn: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:10 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:11 ============ Psa 136:11 And brought out Israel from among them: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:11 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:12 ============ Psa 136:12 With a strong hand, and with a stretched out arm: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:12 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:13 ============ Psa 136:13 To him which divided the Red sea into parts: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:13 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:14 ============ Psa 136:14 And made Israel to pass through the midst of it: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:15 ============ Psa 136:15 But overthrew Pharaoh and his host in the Red sea: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:15 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:16 ============ Psa 136:16 To him which led his people through the wilderness: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:16 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:17 ============ Psa 136:17 To him which smote great kings: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:18 ============ Psa 136:18 And slew famous kings: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:19 ============ Psa 136:19 Sihon king of the Amorites: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:20 ============ Psa 136:20 And Og the king of Bashan: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:21 ============ Psa 136:21 And gave their land for an heritage: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:22 ============ Psa 136:22 Even an heritage unto Israel his servant: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:23 ============ Psa 136:23 Who remembered us in our low estate: for his mercy endureth for ever:(KJV-1611) Psa 136:23 Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:24 ============ Psa 136:24 And hath redeemed us from our enemies: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:25 ============ Psa 136:25 Who giveth food to all flesh: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:25 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 136:26 ============ Psa 136:26 O give thanks unto the God of heaven: for his mercy endureth for ever.(KJV-1611) Psa 136:26 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 137:1 ============ Psa 137:1 By the rivers of Babylon, there we sat down, yea, we wept, when we remembered Zion.(KJV-1611) Psa 137:1 Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.(Creole-HT) ======= Psalm 137:2 ============ Psa 137:2 We hanged our harps upon the willows in the midst thereof.(KJV-1611) Psa 137:2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.(Creole-HT) ======= Psalm 137:3 ============ Psa 137:3 For there they that carried us away captive required of us a song; and they that wasted us required of us mirth, saying, Sing us one of the songs of Zion.(KJV-1611) Psa 137:3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!(Creole-HT) ======= Psalm 137:4 ============ Psa 137:4 How shall we sing the LORD's song in a strange land?(KJV-1611) Psa 137:4 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?(Creole-HT) ======= Psalm 137:5 ============ Psa 137:5 If I forget thee, O Jerusalem, let my right hand forget her cunning.(KJV-1611) Psa 137:5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.(Creole-HT) ======= Psalm 137:6 ============ Psa 137:6 If I do not remember thee, let my tongue cleave to the roof of my mouth; if I prefer not Jerusalem above my chief joy.(KJV-1611) Psa 137:6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.(Creole-HT) ======= Psalm 137:7 ============ Psa 137:7 Remember, O LORD, the children of Edom in the day of Jerusalem; who said, Rase it, rase it, even to the foundation thereof.(KJV-1611) Psa 137:7 Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!(Creole-HT) ======= Psalm 137:8 ============ Psa 137:8 O daughter of Babylon, who art to be destroyed; happy shall he be, that rewardeth thee as thou hast served us.(KJV-1611) Psa 137:8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.(Creole-HT) ======= Psalm 137:9 ============ Psa 137:9 Happy shall he be, that taketh and dasheth thy little ones against the stones.(KJV-1611) Psa 137:9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!(Creole-HT) ======= Psalm 138:1 ============ Psa 138:1 I will praise thee with my whole heart: before the gods will I sing praise unto thee.(KJV-1611) Psa 138:1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!(Creole-HT) ======= Psalm 138:2 ============ Psa 138:2 I will worship toward thy holy temple, and praise thy name for thy lovingkindness and for thy truth: for thou hast magnified thy word above all thy name.(KJV-1611) Psa 138:2 M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.(Creole-HT) ======= Psalm 138:3 ============ Psa 138:3 In the day when I cried thou answeredst me, and strengthenedst me with strength in my soul.(KJV-1611) Psa 138:3 Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.(Creole-HT) ======= Psalm 138:4 ============ Psa 138:4 All the kings of the earth shall praise thee, O LORD, when they hear the words of thy mouth.(KJV-1611) Psa 138:4 Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.(Creole-HT) ======= Psalm 138:5 ============ Psa 138:5 Yea, they shall sing in the ways of the LORD: for great is the glory of the LORD.(KJV-1611) Psa 138:5 Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!(Creole-HT) ======= Psalm 138:6 ============ Psa 138:6 Though the LORD be high, yet hath he respect unto the lowly: but the proud he knoweth afar off.(KJV-1611) Psa 138:6 Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 138:7 ============ Psa 138:7 Though I walk in the midst of trouble, thou wilt revive me: thou shalt stretch forth thine hand against the wrath of mine enemies, and thy right hand shall save me.(KJV-1611) Psa 138:7 Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou.(Creole-HT) ======= Psalm 138:8 ============ Psa 138:8 The LORD will perfect that which concerneth me: thy mercy, O LORD, endureth for ever: forsake not the works of thine own hands.(KJV-1611) Psa 138:8 W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!(Creole-HT) ======= Psalm 139:1 ============ Psa 139:1 O lord, thou hast searched me, and known me.(KJV-1611) Psa 139:1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m', ou konnen ki moun mwen ye.(Creole-HT) ======= Psalm 139:2 ============ Psa 139:2 Thou knowest my downsitting and mine uprising, thou understandest my thought afar off.(KJV-1611) Psa 139:2 Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 139:3 ============ Psa 139:3 Thou compassest my path and my lying down, and art acquainted with all my ways.(KJV-1611) Psa 139:3 Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m', ou konnen tou sa m'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 139:4 ============ Psa 139:4 For there is not a word in my tongue, but, lo, O LORD, thou knowest it altogether.(KJV-1611) Psa 139:4 Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.(Creole-HT) ======= Psalm 139:5 ============ Psa 139:5 Thou hast beset me behind and before, and laid thine hand upon me.(KJV-1611) Psa 139:5 Kote m' vire, ou la bò kote m', w'ap pwoteje m' ak pouvwa ou.(Creole-HT) ======= Psalm 139:6 ============ Psa 139:6 Such knowledge is too wonderful for me; it is high, I cannot attain unto it.(KJV-1611) Psa 139:6 Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m', mwen pa konprann yo.(Creole-HT) ======= Psalm 139:7 ============ Psa 139:7 Whither shall I go from thy spirit? or whither shall I flee from thy presence?(KJV-1611) Psa 139:7 Ki bò mwen ta ale pou m' pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m' devan je ou?(Creole-HT) ======= Psalm 139:8 ============ Psa 139:8 If I ascend up into heaven, thou art there: if I make my bed in hell, behold, thou art there.(KJV-1611) Psa 139:8 Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.(Creole-HT) ======= Psalm 139:9 ============ Psa 139:9 If I take the wings of the morning, and dwell in the uttermost parts of the sea;(KJV-1611) Psa 139:9 Si m' vole ale bò kote solèy leve, osinon si m' al rete bò lòt bò lanmè,(Creole-HT) ======= Psalm 139:10 ============ Psa 139:10 Even there shall thy hand lead me, and thy right hand shall hold me.(KJV-1611) Psa 139:10 l'a ankò, w'ap toujou la pou mennen m', w'ap la pou pwoteje m'.(Creole-HT) ======= Psalm 139:11 ============ Psa 139:11 If I say, Surely the darkness shall cover me; even the night shall be light about me.(KJV-1611) Psa 139:11 Si mwen di: -Bon! M' pral kache nan fènwa a. M' pral rete kote tout limyè mouri.(Creole-HT) ======= Psalm 139:12 ============ Psa 139:12 Yea, the darkness hideth not from thee; but the night shineth as the day: the darkness and the light are both alike to thee.(KJV-1611) Psa 139:12 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 139:13 ============ Psa 139:13 For thou hast possessed my reins: thou hast covered me in my mother's womb.(KJV-1611) Psa 139:13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m', se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m'.(Creole-HT) ======= Psalm 139:14 ============ Psa 139:14 I will praise thee; for I am fearfully and wonderfully made: marvellous are thy works; and that my soul knoweth right well.(KJV-1611) Psa 139:14 M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.(Creole-HT) ======= Psalm 139:15 ============ Psa 139:15 My substance was not hid from thee, when I was made in secret, and curiously wrought in the lowest parts of the earth.(KJV-1611) Psa 139:15 Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.(Creole-HT) ======= Psalm 139:16 ============ Psa 139:16 Thine eyes did see my substance, yet being unperfect; and in thy book all my members were written, which in continuance were fashioned, when as yet there was none of them.(KJV-1611) Psa 139:16 Depi anvan m' te fèt, tout lavi m' te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 139:17 ============ Psa 139:17 How precious also are thy thoughts unto me, O God! how great is the sum of them!(KJV-1611) Psa 139:17 Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!(Creole-HT) ======= Psalm 139:18 ============ Psa 139:18 If I should count them, they are more in number than the sand: when I awake, I am still with thee.(KJV-1611) Psa 139:18 Si m' ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m' ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.(Creole-HT) ======= Psalm 139:19 ============ Psa 139:19 Surely thou wilt slay the wicked, O God: depart from me therefore, ye bloody men.(KJV-1611) Psa 139:19 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m' an repo!(Creole-HT) ======= Psalm 139:20 ============ Psa 139:20 For they speak against thee wickedly, and thine enemies take thy name in vain.(KJV-1611) Psa 139:20 Yo anba chal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.(Creole-HT) ======= Psalm 139:21 ============ Psa 139:21 Do not I hate them, O LORD, that hate thee? and am not I grieved with those that rise up against thee?(KJV-1611) Psa 139:21 Seyè, kouman ou ta vle pou m' pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m' pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?(Creole-HT) ======= Psalm 139:22 ============ Psa 139:22 I hate them with perfect hatred: I count them mine enemies.(KJV-1611) Psa 139:22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m'.(Creole-HT) ======= Psalm 139:23 ============ Psa 139:23 Search me, O God, and know my heart: try me, and know my thoughts:(KJV-1611) Psa 139:23 Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!(Creole-HT) ======= Psalm 139:24 ============ Psa 139:24 And see if there be any wicked way in me, and lead me in the way everlasting.(KJV-1611) Psa 139:24 Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Psalm 140:1 ============ Psa 140:1 Deliver me, O LORD, from the evil man: preserve me from the violent man;(KJV-1611) Psa 140:1 Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non,(Creole-HT) ======= Psalm 140:2 ============ Psa 140:2 Which imagine mischiefs in their heart; continually are they gathered together for war.(KJV-1611) Psa 140:2 anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.(Creole-HT) ======= Psalm 140:3 ============ Psa 140:3 They have sharpened their tongues like a serpent; adders' poison is under their lips. Selah.(KJV-1611) Psa 140:3 Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.(Creole-HT) ======= Psalm 140:4 ============ Psa 140:4 Keep me, O LORD, from the hands of the wicked; preserve me from the violent man; who have purposed to overthrow my goings.(KJV-1611) Psa 140:4 Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe.(Creole-HT) ======= Psalm 140:5 ============ Psa 140:5 The proud have hid a snare for me, and cords; they have spread a net by the wayside; they have set gins for me. Selah.(KJV-1611) Psa 140:5 Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 140:6 ============ Psa 140:6 I said unto the LORD, Thou art my God: hear the voice of my supplications, O LORD.(KJV-1611) Psa 140:6 Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou.(Creole-HT) ======= Psalm 140:7 ============ Psa 140:7 O GOD the Lord, the strength of my salvation, thou hast covered my head in the day of battle.(KJV-1611) Psa 140:7 Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare.(Creole-HT) ======= Psalm 140:8 ============ Psa 140:8 Grant not, O LORD, the desires of the wicked: further not his wicked device; lest they exalt themselves. Selah.(KJV-1611) Psa 140:8 Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!(Creole-HT) ======= Psalm 140:9 ============ Psa 140:9 As for the head of those that compass me about, let the mischief of their own lips cover them.(KJV-1611) Psa 140:9 Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!(Creole-HT) ======= Psalm 140:10 ============ Psa 140:10 Let burning coals fall upon them: let them be cast into the fire; into deep pits, that they rise not up again.(KJV-1611) Psa 140:10 Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.(Creole-HT) ======= Psalm 140:11 ============ Psa 140:11 Let not an evil speaker be established in the earth: evil shall hunt the violent man to overthrow him.(KJV-1611) Psa 140:11 Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.(Creole-HT) ======= Psalm 140:12 ============ Psa 140:12 I know that the LORD will maintain the cause of the afflicted, and the right of the poor.(KJV-1611) Psa 140:12 Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 140:13 ============ Psa 140:13 Surely the righteous shall give thanks unto thy name: the upright shall dwell in thy presence.(KJV-1611) Psa 140:13 Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.(Creole-HT) ======= Psalm 141:1 ============ Psa 141:1 Lord, I cry unto thee: make haste unto me; give ear unto my voice, when I cry unto thee.(KJV-1611) Psa 141:1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!(Creole-HT) ======= Psalm 141:2 ============ Psa 141:2 Let my prayer be set forth before thee as incense; and the lifting up of my hands as the evening sacrifice.(KJV-1611) Psa 141:2 Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.(Creole-HT) ======= Psalm 141:3 ============ Psa 141:3 Set a watch, O LORD, before my mouth; keep the door of my lips.(KJV-1611) Psa 141:3 Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 141:4 ============ Psa 141:4 Incline not my heart to any evil thing, to practise wicked works with men that work iniquity: and let me not eat of their dainties.(KJV-1611) Psa 141:4 Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!(Creole-HT) ======= Psalm 141:5 ============ Psa 141:5 Let the righteous smite me; it shall be a kindness: and let him reprove me; it shall be an excellent oil, which shall not break my head: for yet my prayer also shall be in their calamities.(KJV-1611) Psa 141:5 Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.(Creole-HT) ======= Psalm 141:6 ============ Psa 141:6 When their judges are overthrown in stony places, they shall hear my words; for they are sweet.(KJV-1611) Psa 141:6 Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite.(Creole-HT) ======= Psalm 141:7 ============ Psa 141:7 Our bones are scattered at the grave's mouth, as when one cutteth and cleaveth wood upon the earth.(KJV-1611) Psa 141:7 Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 141:8 ============ Psa 141:8 But mine eyes are unto thee, O GOD the Lord: in thee is my trust; leave not my soul destitute.(KJV-1611) Psa 141:8 Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou!(Creole-HT) ======= Psalm 141:9 ============ Psa 141:9 Keep me from the snares which they have laid for me, and the gins of the workers of iniquity.(KJV-1611) Psa 141:9 Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo.(Creole-HT) ======= Psalm 141:10 ============ Psa 141:10 Let the wicked fall into their own nets, whilst that I withal escape.(KJV-1611) Psa 141:10 Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!(Creole-HT) ======= Psalm 142:1 ============ Psa 142:1 I cried unto the LORD with my voice; with my voice unto the LORD did I make my supplication.(KJV-1611) Psa 142:1 M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= Psalm 142:2 ============ Psa 142:2 I poured out my complaint before him; I shewed before him my trouble.(KJV-1611) Psa 142:2 M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 142:3 ============ Psa 142:3 When my spirit was overwhelmed within me, then thou knewest my path. In the way wherein I walked have they privily laid a snare for me.(KJV-1611) Psa 142:3 Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 142:4 ============ Psa 142:4 I looked on my right hand, and beheld, but there was no man that would know me: refuge failed me; no man cared for my soul.(KJV-1611) Psa 142:4 Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.(Creole-HT) ======= Psalm 142:5 ============ Psa 142:5 I cried unto thee, O LORD: I said, Thou art my refuge and my portion in the land of the living.(KJV-1611) Psa 142:5 Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.(Creole-HT) ======= Psalm 142:6 ============ Psa 142:6 Attend unto my cry; for I am brought very low: deliver me from my persecutors; for they are stronger than I.(KJV-1611) Psa 142:6 Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.(Creole-HT) ======= Psalm 142:7 ============ Psa 142:7 Bring my soul out of prison, that I may praise thy name: the righteous shall compass me about; for thou shalt deal bountifully with me.(KJV-1611) Psa 142:7 Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 143:1 ============ Psa 143:1 Hear my prayer, O LORD, give ear to my supplications: in thy faithfulness answer me, and in thy righteousness.(KJV-1611) Psa 143:1 Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 143:2 ============ Psa 143:2 And enter not into judgment with thy servant: for in thy sight shall no man living be justified.(KJV-1611) Psa 143:2 Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.(Creole-HT) ======= Psalm 143:3 ============ Psa 143:3 For the enemy hath persecuted my soul; he hath smitten my life down to the ground; he hath made me to dwell in darkness, as those that have been long dead.(KJV-1611) Psa 143:3 Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.(Creole-HT) ======= Psalm 143:4 ============ Psa 143:4 Therefore is my spirit overwhelmed within me; my heart within me is desolate.(KJV-1611) Psa 143:4 Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.(Creole-HT) ======= Psalm 143:5 ============ Psa 143:5 I remember the days of old; I meditate on all thy works; I muse on the work of thy hands.(KJV-1611) Psa 143:5 Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.(Creole-HT) ======= Psalm 143:6 ============ Psa 143:6 I stretch forth my hands unto thee: my soul thirsteth after thee, as a thirsty land. Selah.(KJV-1611) Psa 143:6 Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.(Creole-HT) ======= Psalm 143:7 ============ Psa 143:7 Hear me speedily, O LORD: my spirit faileth: hide not thy face from me, lest I be like unto them that go down into the pit.(KJV-1611) Psa 143:7 Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 143:8 ============ Psa 143:8 Cause me to hear thy lovingkindness in the morning; for in thee do I trust: cause me to know the way wherein I should walk; for I lift up my soul unto thee.(KJV-1611) Psa 143:8 Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.(Creole-HT) ======= Psalm 143:9 ============ Psa 143:9 Deliver me, O LORD, from mine enemies: I flee unto thee to hide me.(KJV-1611) Psa 143:9 Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo.(Creole-HT) ======= Psalm 143:10 ============ Psa 143:10 Teach me to do thy will; for thou art my God: thy spirit is good; lead me into the land of uprightness.(KJV-1611) Psa 143:10 Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa.(Creole-HT) ======= Psalm 143:11 ============ Psa 143:11 Quicken me, O LORD, for thy name's sake: for thy righteousness' sake bring my soul out of trouble.(KJV-1611) Psa 143:11 Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m' nan tray kote m' ye a.(Creole-HT) ======= Psalm 143:12 ============ Psa 143:12 And of thy mercy cut off mine enemies, and destroy all them that afflict my soul: for I am thy servant.(KJV-1611) Psa 143:12 Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye.(Creole-HT) ======= Psalm 144:1 ============ Psa 144:1 Blessed be the LORD my strength which teacheth my hands to war, and my fingers to fight:(KJV-1611) Psa 144:1 Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay.(Creole-HT) ======= Psalm 144:2 ============ Psa 144:2 My goodness, and my fortress; my high tower, and my deliverer; my shield, and he in whom I trust; who subdueth my people under me.(KJV-1611) Psa 144:2 Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.(Creole-HT) ======= Psalm 144:3 ============ Psa 144:3 LORD, what is man, that thou takest knowledge of him! or the son of man, that thou makest account of him!(KJV-1611) Psa 144:3 Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?(Creole-HT) ======= Psalm 144:4 ============ Psa 144:4 Man is like to vanity: his days are as a shadow that passeth away.(KJV-1611) Psa 144:4 Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.(Creole-HT) ======= Psalm 144:5 ============ Psa 144:5 Bow thy heavens, O LORD, and come down: touch the mountains, and they shall smoke.(KJV-1611) Psa 144:5 Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.(Creole-HT) ======= Psalm 144:6 ============ Psa 144:6 Cast forth lightning, and scatter them: shoot out thine arrows, and destroy them.(KJV-1611) Psa 144:6 Voye flèch ou yo. Fè lènmi m' yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè.(Creole-HT) ======= Psalm 144:7 ============ Psa 144:7 Send thine hand from above; rid me, and deliver me out of great waters, from the hand of strange children;(KJV-1611) Psa 144:7 Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Psalm 144:8 ============ Psa 144:8 Whose mouth speaketh vanity, and their right hand is a right hand of falsehood.(KJV-1611) Psa 144:8 Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 144:9 ============ Psa 144:9 I will sing a new song unto thee, O God: upon a psaltery and an instrument of ten strings will I sing praises unto thee.(KJV-1611) Psa 144:9 M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou.(Creole-HT) ======= Psalm 144:10 ============ Psa 144:10 It is he that giveth salvation unto kings: who delivereth David his servant from the hurtful sword.(KJV-1611) Psa 144:10 Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.(Creole-HT) ======= Psalm 144:11 ============ Psa 144:11 Rid me, and deliver me from the hand of strange children, whose mouth speaketh vanity, and their right hand is a right hand of falsehood:(KJV-1611) Psa 144:11 Delivre m' anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m', delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 144:12 ============ Psa 144:12 That our sons may be as plants grown up in their youth; that our daughters may be as corner stones, polished after the similitude of a palace:(KJV-1611) Psa 144:12 Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan.(Creole-HT) ======= Psalm 144:13 ============ Psa 144:13 That our garners may be full, affording all manner of store: that our sheep may bring forth thousands and ten thousands in our streets:(KJV-1611) Psa 144:13 Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit.(Creole-HT) ======= Psalm 144:14 ============ Psa 144:14 That our oxen may be strong to labour; that there be no breaking in, nor going out; that there be no complaining in our streets.(KJV-1611) Psa 144:14 Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 144:15 ============ Psa 144:15 Happy is that people, that is in such a case: yea, happy is that people, whose God is the LORD.(KJV-1611) Psa 144:15 Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!(Creole-HT) ======= Psalm 145:1 ============ Psa 145:1 I will extol thee, my God, O king; and I will bless thy name for ever and ever.(KJV-1611) Psa 145:1 Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 145:2 ============ Psa 145:2 Every day will I bless thee; and I will praise thy name for ever and ever.(KJV-1611) Psa 145:2 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 145:3 ============ Psa 145:3 Great is the LORD, and greatly to be praised; and his greatness is unsearchable.(KJV-1611) Psa 145:3 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!(Creole-HT) ======= Psalm 145:4 ============ Psa 145:4 One generation shall praise thy works to another, and shall declare thy mighty acts.(KJV-1611) Psa 145:4 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 145:5 ============ Psa 145:5 I will speak of the glorious honour of thy majesty, and of thy wondrous works.(KJV-1611) Psa 145:5 M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.(Creole-HT) ======= Psalm 145:6 ============ Psa 145:6 And men shall speak of the might of thy terrible acts: and I will declare thy greatness.(KJV-1611) Psa 145:6 Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.(Creole-HT) ======= Psalm 145:7 ============ Psa 145:7 They shall abundantly utter the memory of thy great goodness, and shall sing of thy righteousness.(KJV-1611) Psa 145:7 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.(Creole-HT) ======= Psalm 145:8 ============ Psa 145:8 The LORD is gracious, and full of compassion; slow to anger, and of great mercy.(KJV-1611) Psa 145:8 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!(Creole-HT) ======= Psalm 145:9 ============ Psa 145:9 The LORD is good to all: and his tender mercies are over all his works.(KJV-1611) Psa 145:9 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Psalm 145:10 ============ Psa 145:10 All thy works shall praise thee, O LORD; and thy saints shall bless thee.(KJV-1611) Psa 145:10 Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!(Creole-HT) ======= Psalm 145:11 ============ Psa 145:11 They shall speak of the glory of thy kingdom, and talk of thy power;(KJV-1611) Psa 145:11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,(Creole-HT) ======= Psalm 145:12 ============ Psa 145:12 To make known to the sons of men his mighty acts, and the glorious majesty of his kingdom.(KJV-1611) Psa 145:12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.(Creole-HT) ======= Psalm 145:13 ============ Psa 145:13 Thy kingdom is an everlasting kingdom, and thy dominion endureth throughout all generations.(KJV-1611) Psa 145:13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Psalm 145:14 ============ Psa 145:14 The LORD upholdeth all that fall, and raiseth up all those that be bowed down.(KJV-1611) Psa 145:14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.(Creole-HT) ======= Psalm 145:15 ============ Psa 145:15 The eyes of all wait upon thee; and thou givest them their meat in due season.(KJV-1611) Psa 145:15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.(Creole-HT) ======= Psalm 145:16 ============ Psa 145:16 Thou openest thine hand, and satisfiest the desire of every living thing.(KJV-1611) Psa 145:16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.(Creole-HT) ======= Psalm 145:17 ============ Psa 145:17 The LORD is righteous in all his ways, and holy in all his works.(KJV-1611) Psa 145:17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.(Creole-HT) ======= Psalm 145:18 ============ Psa 145:18 The LORD is nigh unto all them that call upon him, to all that call upon him in truth.(KJV-1611) Psa 145:18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= Psalm 145:19 ============ Psa 145:19 He will fulfil the desire of them that fear him: he also will hear their cry, and will save them.(KJV-1611) Psa 145:19 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 145:20 ============ Psa 145:20 The LORD preserveth all them that love him: but all the wicked will he destroy.(KJV-1611) Psa 145:20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.(Creole-HT) ======= Psalm 145:21 ============ Psa 145:21 My mouth shall speak the praise of the LORD: and let all flesh bless his holy name for ever and ever.(KJV-1611) Psa 145:21 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Psalm 146:1 ============ Psa 146:1 Praise ye the LORD. Praise the LORD, O my soul.(KJV-1611) Psa 146:1 Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 146:2 ============ Psa 146:2 While I live will I praise the LORD: I will sing praises unto my God while I have any being.(KJV-1611) Psa 146:2 M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.(Creole-HT) ======= Psalm 146:3 ============ Psa 146:3 Put not your trust in princes, nor in the son of man, in whom there is no help.(KJV-1611) Psa 146:3 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.(Creole-HT) ======= Psalm 146:4 ============ Psa 146:4 His breath goeth forth, he returneth to his earth; in that very day his thoughts perish.(KJV-1611) Psa 146:4 Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.(Creole-HT) ======= Psalm 146:5 ============ Psa 146:5 Happy is he that hath the God of Jacob for his help, whose hope is in the LORD his God:(KJV-1611) Psa 146:5 Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l', pou moun ki mete tout espwa l' nan Seyè a, Bondye li!(Creole-HT) ======= Psalm 146:6 ============ Psa 146:6 Which made heaven, and earth, the sea, and all that therein is: which keepeth truth for ever:(KJV-1611) Psa 146:6 Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Psalm 146:7 ============ Psa 146:7 Which executeth judgment for the oppressed: which giveth food to the hungry. The LORD looseth the prisoners:(KJV-1611) Psa 146:7 Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Psalm 146:8 ============ Psa 146:8 The LORD openeth the eyes of the blind: the LORD raiseth them that are bowed down: the LORD loveth the righteous:(KJV-1611) Psa 146:8 Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.(Creole-HT) ======= Psalm 146:9 ============ Psa 146:9 The LORD preserveth the strangers; he relieveth the fatherless and widow: but the way of the wicked he turneth upside down.(KJV-1611) Psa 146:9 Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Psalm 146:10 ============ Psa 146:10 The LORD shall reign for ever, even thy God, O Zion, unto all generations. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 146:10 Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 147:1 ============ Psa 147:1 Praise ye the LORD: for it is good to sing praises unto our God; for it is pleasant; and praise is comely.(KJV-1611) Psa 147:1 Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre!(Creole-HT) ======= Psalm 147:2 ============ Psa 147:2 The LORD doth build up Jerusalem: he gathereth together the outcasts of Israel.(KJV-1611) Psa 147:2 Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= Psalm 147:3 ============ Psa 147:3 He healeth the broken in heart, and bindeth up their wounds.(KJV-1611) Psa 147:3 L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.(Creole-HT) ======= Psalm 147:4 ============ Psa 147:4 He telleth the number of the stars; he calleth them all by their names.(KJV-1611) Psa 147:4 Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.(Creole-HT) ======= Psalm 147:5 ============ Psa 147:5 Great is our Lord, and of great power: his understanding is infinite.(KJV-1611) Psa 147:5 Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.(Creole-HT) ======= Psalm 147:6 ============ Psa 147:6 The LORD lifteth up the meek: he casteth the wicked down to the ground.(KJV-1611) Psa 147:6 Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.(Creole-HT) ======= Psalm 147:7 ============ Psa 147:7 Sing unto the LORD with thanksgiving; sing praise upon the harp unto our God:(KJV-1611) Psa 147:7 Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.(Creole-HT) ======= Psalm 147:8 ============ Psa 147:8 Who covereth the heaven with clouds, who prepareth rain for the earth, who maketh grass to grow upon the mountains.(KJV-1611) Psa 147:8 Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.(Creole-HT) ======= Psalm 147:9 ============ Psa 147:9 He giveth to the beast his food, and to the young ravens which cry.(KJV-1611) Psa 147:9 Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.(Creole-HT) ======= Psalm 147:10 ============ Psa 147:10 He delighteth not in the strength of the horse: he taketh not pleasure in the legs of a man.(KJV-1611) Psa 147:10 Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan.(Creole-HT) ======= Psalm 147:11 ============ Psa 147:11 The LORD taketh pleasure in them that fear him, in those that hope in his mercy.(KJV-1611) Psa 147:11 Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.(Creole-HT) ======= Psalm 147:12 ============ Psa 147:12 Praise the LORD, O Jerusalem; praise thy God, O Zion.(KJV-1611) Psa 147:12 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Psalm 147:13 ============ Psa 147:13 For he hath strengthened the bars of thy gates; he hath blessed thy children within thee.(KJV-1611) Psa 147:13 Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Psalm 147:14 ============ Psa 147:14 He maketh peace in thy borders, and filleth thee with the finest of the wheat.(KJV-1611) Psa 147:14 L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.(Creole-HT) ======= Psalm 147:15 ============ Psa 147:15 He sendeth forth his commandment upon earth: his word runneth very swiftly.(KJV-1611) Psa 147:15 Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Psalm 147:16 ============ Psa 147:16 He giveth snow like wool: he scattereth the hoarfrost like ashes.(KJV-1611) Psa 147:16 Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.(Creole-HT) ======= Psalm 147:17 ============ Psa 147:17 He casteth forth his ice like morsels: who can stand before his cold?(KJV-1611) Psa 147:17 Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?(Creole-HT) ======= Psalm 147:18 ============ Psa 147:18 He sendeth out his word, and melteth them: he causeth his wind to blow, and the waters flow.(KJV-1611) Psa 147:18 Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.(Creole-HT) ======= Psalm 147:19 ============ Psa 147:19 He sheweth his word unto Jacob, his statutes and his judgments unto Israel.(KJV-1611) Psa 147:19 Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.(Creole-HT) ======= Psalm 147:20 ============ Psa 147:20 He hath not dealt so with any nation: and as for his judgments, they have not known them. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 147:20 Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 148:1 ============ Psa 148:1 Praise ye the LORD. Praise ye the LORD from the heavens: praise him in the heights.(KJV-1611) Psa 148:1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!(Creole-HT) ======= Psalm 148:2 ============ Psa 148:2 Praise ye him, all his angels: praise ye him, all his hosts.(KJV-1611) Psa 148:2 Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 148:3 ============ Psa 148:3 Praise ye him, sun and moon: praise him, all ye stars of light.(KJV-1611) Psa 148:3 Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Psalm 148:4 ============ Psa 148:4 Praise him, ye heavens of heavens, and ye waters that be above the heavens.(KJV-1611) Psa 148:4 Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Psalm 148:5 ============ Psa 148:5 Let them praise the name of the LORD: for he commanded, and they were created.(KJV-1611) Psa 148:5 Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.(Creole-HT) ======= Psalm 148:6 ============ Psa 148:6 He hath also stablished them for ever and ever: he hath made a decree which shall not pass.(KJV-1611) Psa 148:6 Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.(Creole-HT) ======= Psalm 148:7 ============ Psa 148:7 Praise the LORD from the earth, ye dragons, and all deeps:(KJV-1611) Psa 148:7 Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,(Creole-HT) ======= Psalm 148:8 ============ Psa 148:8 Fire, and hail; snow, and vapours; stormy wind fulfilling his word:(KJV-1611) Psa 148:8 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,(Creole-HT) ======= Psalm 148:9 ============ Psa 148:9 Mountains, and all hills; fruitful trees, and all cedars:(KJV-1611) Psa 148:9 gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,(Creole-HT) ======= Psalm 148:10 ============ Psa 148:10 Beasts, and all cattle; creeping things, and flying fowl:(KJV-1611) Psa 148:10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.(Creole-HT) ======= Psalm 148:11 ============ Psa 148:11 Kings of the earth, and all people; princes, and all judges of the earth:(KJV-1611) Psa 148:11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,(Creole-HT) ======= Psalm 148:12 ============ Psa 148:12 Both young men, and maidens; old men, and children:(KJV-1611) Psa 148:12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.(Creole-HT) ======= Psalm 148:13 ============ Psa 148:13 Let them praise the name of the LORD: for his name alone is excellent; his glory is above the earth and heaven.(KJV-1611) Psa 148:13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Psalm 148:14 ============ Psa 148:14 He also exalteth the horn of his people, the praise of all his saints; even of the children of Israel, a people near unto him. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 148:14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 149:1 ============ Psa 149:1 Praise ye the LORD. Sing unto the LORD a new song, and his praise in the congregation of saints.(KJV-1611) Psa 149:1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini!(Creole-HT) ======= Psalm 149:2 ============ Psa 149:2 Let Israel rejoice in him that made him: let the children of Zion be joyful in their King.(KJV-1611) Psa 149:2 Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.(Creole-HT) ======= Psalm 149:3 ============ Psa 149:3 Let them praise his name in the dance: let them sing praises unto him with the timbrel and harp.(KJV-1611) Psa 149:3 Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!(Creole-HT) ======= Psalm 149:4 ============ Psa 149:4 For the LORD taketh pleasure in his people: he will beautify the meek with salvation.(KJV-1611) Psa 149:4 Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.(Creole-HT) ======= Psalm 149:5 ============ Psa 149:5 Let the saints be joyful in glory: let them sing aloud upon their beds.(KJV-1611) Psa 149:5 Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.(Creole-HT) ======= Psalm 149:6 ============ Psa 149:6 Let the high praises of God be in their mouth, and a two-edged sword in their hand;(KJV-1611) Psa 149:6 Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,(Creole-HT) ======= Psalm 149:7 ============ Psa 149:7 To execute vengeance upon the heathen, and punishments upon the people;(KJV-1611) Psa 149:7 pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,(Creole-HT) ======= Psalm 149:8 ============ Psa 149:8 To bind their kings with chains, and their nobles with fetters of iron;(KJV-1611) Psa 149:8 pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,(Creole-HT) ======= Psalm 149:9 ============ Psa 149:9 To execute upon them the judgment written: this honour have all his saints. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 149:9 pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Psalm 150:1 ============ Psa 150:1 Praise ye the LORD. Praise God in his sanctuary: praise him in the firmament of his power.(KJV-1611) Psa 150:1 Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!(Creole-HT) ======= Psalm 150:2 ============ Psa 150:2 Praise him for his mighty acts: praise him according to his excellent greatness.(KJV-1611) Psa 150:2 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!(Creole-HT) ======= Psalm 150:3 ============ Psa 150:3 Praise him with the sound of the trumpet: praise him with the psaltery and harp.(KJV-1611) Psa 150:3 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!(Creole-HT) ======= Psalm 150:4 ============ Psa 150:4 Praise him with the timbrel and dance: praise him with stringed instruments and organs.(KJV-1611) Psa 150:4 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!(Creole-HT) ======= Psalm 150:5 ============ Psa 150:5 Praise him upon the loud cymbals: praise him upon the high sounding cymbals.(KJV-1611) Psa 150:5 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!(Creole-HT) ======= Psalm 150:6 ============ Psa 150:6 Let every thing that hath breath praise the LORD. Praise ye the LORD.(KJV-1611) Psa 150:6 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!(Creole-HT) ======= Proverbs 1:1 ============ Pro 1:1 The proverbs of Solomon the son of David, king of Israel;(KJV-1611) Pro 1:1 Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:2 ============ Pro 1:2 To know wisdom and instruction; to perceive the words of understanding;(KJV-1611) Pro 1:2 Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:3 ============ Pro 1:3 To receive the instruction of wisdom, justice, and judgment, and equity;(KJV-1611) Pro 1:3 Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:4 ============ Pro 1:4 To give subtilty to the simple, to the young man knowledge and discretion.(KJV-1611) Pro 1:4 Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:5 ============ Pro 1:5 A wise man will hear, and will increase learning; and a man of understanding shall attain unto wise counsels:(KJV-1611) Pro 1:5 Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,(Creole-HT) ======= Proverbs 1:6 ============ Pro 1:6 To understand a proverb, and the interpretation; the words of the wise, and their dark sayings.(KJV-1611) Pro 1:6 konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:7 ============ Pro 1:7 The fear of the LORD is the beginning of knowledge: but fools despise wisdom and instruction.(KJV-1611) Pro 1:7 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:8 ============ Pro 1:8 My son, hear the instruction of thy father, and forsake not the law of thy mother:(KJV-1611) Pro 1:8 Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!(Creole-HT) ======= Proverbs 1:9 ============ Pro 1:9 For they shall be an ornament of grace unto thy head, and chains about thy neck.(KJV-1611) Pro 1:9 Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:10 ============ Pro 1:10 My son, if sinners entice thee, consent thou not.(KJV-1611) Pro 1:10 Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:11 ============ Pro 1:11 If they say, Come with us, let us lay wait for blood, let us lurk privily for the innocent without cause:(KJV-1611) Pro 1:11 Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:12 ============ Pro 1:12 Let us swallow them up alive as the grave; and whole, as those that go down into the pit:(KJV-1611) Pro 1:12 Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:13 ============ Pro 1:13 We shall find all precious substance, we shall fill our houses with spoil:(KJV-1611) Pro 1:13 N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:14 ============ Pro 1:14 Cast in thy lot among us; let us all have one purse:(KJV-1611) Pro 1:14 W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:15 ============ Pro 1:15 My son, walk not thou in the way with them; refrain thy foot from their path:(KJV-1611) Pro 1:15 Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!(Creole-HT) ======= Proverbs 1:16 ============ Pro 1:16 For their feet run to evil, and make haste to shed blood.(KJV-1611) Pro 1:16 Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:17 ============ Pro 1:17 Surely in vain the net is spread in the sight of any bird.(KJV-1611) Pro 1:17 Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li?(Creole-HT) ======= Proverbs 1:18 ============ Pro 1:18 And they lay wait for their own blood; they lurk privily for their own lives.(KJV-1611) Pro 1:18 Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:19 ============ Pro 1:19 So are the ways of every one that is greedy of gain; which taketh away the life of the owners thereof.(KJV-1611) Pro 1:19 Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:20 ============ Pro 1:20 Wisdom crieth without; she uttereth her voice in the streets:(KJV-1611) Pro 1:20 Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:21 ============ Pro 1:21 She crieth in the chief place of concourse, in the openings of the gates: in the city she uttereth her words, saying,(KJV-1611) Pro 1:21 L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:22 ============ Pro 1:22 How long, ye simple ones, will ye love simplicity? and the scorners delight in their scorning, and fools hate knowledge?(KJV-1611) Pro 1:22 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?(Creole-HT) ======= Proverbs 1:23 ============ Pro 1:23 Turn you at my reproof: behold, I will pour out my spirit unto you, I will make known my words unto you.(KJV-1611) Pro 1:23 Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:24 ============ Pro 1:24 Because I have called, and ye refused; I have stretched out my hand, and no man regarded;(KJV-1611) Pro 1:24 Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:25 ============ Pro 1:25 But ye have set at nought all my counsel, and would none of my reproof:(KJV-1611) Pro 1:25 Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:26 ============ Pro 1:26 I also will laugh at your calamity; I will mock when your fear cometh;(KJV-1611) Pro 1:26 Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:27 ============ Pro 1:27 When your fear cometh as desolation, and your destruction cometh as a whirlwind; when distress and anguish cometh upon you.(KJV-1611) Pro 1:27 Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou,(Creole-HT) ======= Proverbs 1:28 ============ Pro 1:28 Then shall they call upon me, but I will not answer; they shall seek me early, but they shall not find me:(KJV-1611) Pro 1:28 le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:29 ============ Pro 1:29 For that they hated knowledge, and did not choose the fear of the LORD:(KJV-1611) Pro 1:29 Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:30 ============ Pro 1:30 They would none of my counsel: they despised all my reproof.(KJV-1611) Pro 1:30 Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:31 ============ Pro 1:31 Therefore shall they eat of the fruit of their own way, and be filled with their own devices.(KJV-1611) Pro 1:31 Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:32 ============ Pro 1:32 For the turning away of the simple shall slay them, and the prosperity of fools shall destroy them.(KJV-1611) Pro 1:32 Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou.(Creole-HT) ======= Proverbs 1:33 ============ Pro 1:33 But whoso hearkeneth unto me shall dwell safely, and shall be quiet from fear of evil.(KJV-1611) Pro 1:33 Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:1 ============ Pro 2:1 My son, if thou wilt receive my words, and hide my commandments with thee;(KJV-1611) Pro 2:1 Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:2 ============ Pro 2:2 So that thou incline thine ear unto wisdom, and apply thine heart to understanding;(KJV-1611) Pro 2:2 Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:3 ============ Pro 2:3 Yea, if thou criest after knowledge, and liftest up thy voice for understanding;(KJV-1611) Pro 2:3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:4 ============ Pro 2:4 If thou seekest her as silver, and searchest for her as for hid treasures;(KJV-1611) Pro 2:4 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:5 ============ Pro 2:5 Then shalt thou understand the fear of the LORD, and find the knowledge of God.(KJV-1611) Pro 2:5 Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:6 ============ Pro 2:6 For the LORD giveth wisdom: out of his mouth cometh knowledge and understanding.(KJV-1611) Pro 2:6 Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:7 ============ Pro 2:7 He layeth up sound wisdom for the righteous: he is a buckler to them that walk uprightly.(KJV-1611) Pro 2:7 Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:8 ============ Pro 2:8 He keepeth the paths of judgment, and preserveth the way of his saints.(KJV-1611) Pro 2:8 Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:9 ============ Pro 2:9 Then shalt thou understand righteousness, and judgment, and equity; yea, every good path.(KJV-1611) Pro 2:9 Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:10 ============ Pro 2:10 When wisdom entereth into thine heart, and knowledge is pleasant unto thy soul;(KJV-1611) Pro 2:10 Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:11 ============ Pro 2:11 Discretion shall preserve thee, understanding shall keep thee:(KJV-1611) Pro 2:11 Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:12 ============ Pro 2:12 To deliver thee from the way of the evil man, from the man that speaketh froward things;(KJV-1611) Pro 2:12 Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:13 ============ Pro 2:13 Who leave the paths of uprightness, to walk in the ways of darkness;(KJV-1611) Pro 2:13 Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:14 ============ Pro 2:14 Who rejoice to do evil, and delight in the frowardness of the wicked;(KJV-1611) Pro 2:14 Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:15 ============ Pro 2:15 Whose ways are crooked, and they froward in their paths:(KJV-1611) Pro 2:15 Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:16 ============ Pro 2:16 To deliver thee from the strange woman, even from the stranger which flattereth with her words;(KJV-1611) Pro 2:16 Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:17 ============ Pro 2:17 Which forsaketh the guide of her youth, and forgetteth the covenant of her God.(KJV-1611) Pro 2:17 Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:18 ============ Pro 2:18 For her house inclineth unto death, and her paths unto the dead.(KJV-1611) Pro 2:18 Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:19 ============ Pro 2:19 None that go unto her return again, neither take they hold of the paths of life.(KJV-1611) Pro 2:19 Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!(Creole-HT) ======= Proverbs 2:20 ============ Pro 2:20 That thou mayest walk in the way of good men, and keep the paths of the righteous.(KJV-1611) Pro 2:20 Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:21 ============ Pro 2:21 For the upright shall dwell in the land, and the perfect shall remain in it.(KJV-1611) Pro 2:21 Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.(Creole-HT) ======= Proverbs 2:22 ============ Pro 2:22 But the wicked shall be cut off from the earth, and the transgressors shall be rooted out of it.(KJV-1611) Pro 2:22 Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:1 ============ Pro 3:1 My son, forget not my law; but let thine heart keep my commandments:(KJV-1611) Pro 3:1 Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:2 ============ Pro 3:2 For length of days, and long life, and peace, shall they add to thee.(KJV-1611) Pro 3:2 Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:3 ============ Pro 3:3 Let not mercy and truth forsake thee: bind them about thy neck; write them upon the table of thine heart:(KJV-1611) Pro 3:3 Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:4 ============ Pro 3:4 So shalt thou find favour and good understanding in the sight of God and man.(KJV-1611) Pro 3:4 Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:5 ============ Pro 3:5 Trust in the LORD with all thine heart; and lean not unto thine own understanding.(KJV-1611) Pro 3:5 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:6 ============ Pro 3:6 In all thy ways acknowledge him, and he shall direct thy paths.(KJV-1611) Pro 3:6 Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:7 ============ Pro 3:7 Be not wise in thine own eyes: fear the LORD, and depart from evil.(KJV-1611) Pro 3:7 Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:8 ============ Pro 3:8 It shall be health to thy navel, and marrow to thy bones.(KJV-1611) Pro 3:8 Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:9 ============ Pro 3:9 Honour the LORD with thy substance, and with the firstfruits of all thine increase:(KJV-1611) Pro 3:9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:10 ============ Pro 3:10 So shall thy barns be filled with plenty, and thy presses shall burst out with new wine.(KJV-1611) Pro 3:10 Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:11 ============ Pro 3:11 My son, despise not the chastening of the LORD; neither be weary of his correction:(KJV-1611) Pro 3:11 Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:12 ============ Pro 3:12 For whom the LORD loveth he correcteth; even as a father the son in whom he delighteth.(KJV-1611) Pro 3:12 Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:13 ============ Pro 3:13 Happy is the man that findeth wisdom, and the man that getteth understanding.(KJV-1611) Pro 3:13 Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!(Creole-HT) ======= Proverbs 3:14 ============ Pro 3:14 For the merchandise of it is better than the merchandise of silver, and the gain thereof than fine gold.(KJV-1611) Pro 3:14 Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:15 ============ Pro 3:15 She is more precious than rubies: and all the things thou canst desire are not to be compared unto her.(KJV-1611) Pro 3:15 Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:16 ============ Pro 3:16 Length of days is in her right hand; and in her left hand riches and honour.(KJV-1611) Pro 3:16 Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:17 ============ Pro 3:17 Her ways are ways of pleasantness, and all her paths are peace.(KJV-1611) Pro 3:17 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:18 ============ Pro 3:18 She is a tree of life to them that lay hold upon her: and happy is every one that retaineth her.(KJV-1611) Pro 3:18 Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!(Creole-HT) ======= Proverbs 3:19 ============ Pro 3:19 The LORD by wisdom hath founded the earth; by understanding hath he established the heavens.(KJV-1611) Pro 3:19 Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:20 ============ Pro 3:20 By his knowledge the depths are broken up, and the clouds drop down the dew.(KJV-1611) Pro 3:20 Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:21 ============ Pro 3:21 My son, let not them depart from thine eyes: keep sound wisdom and discretion:(KJV-1611) Pro 3:21 Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:22 ============ Pro 3:22 So shall they be life unto thy soul, and grace to thy neck.(KJV-1611) Pro 3:22 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:23 ============ Pro 3:23 Then shalt thou walk in thy way safely, and thy foot shall not stumble.(KJV-1611) Pro 3:23 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:24 ============ Pro 3:24 When thou liest down, thou shalt not be afraid: yea, thou shalt lie down, and thy sleep shall be sweet.(KJV-1611) Pro 3:24 Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:25 ============ Pro 3:25 Be not afraid of sudden fear, neither of the desolation of the wicked, when it cometh.(KJV-1611) Pro 3:25 Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:26 ============ Pro 3:26 For the LORD shall be thy confidence, and shall keep thy foot from being taken.(KJV-1611) Pro 3:26 Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:27 ============ Pro 3:27 Withhold not good from them to whom it is due, when it is in the power of thine hand to do it.(KJV-1611) Pro 3:27 Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:28 ============ Pro 3:28 Say not unto thy neighbour, Go, and come again, and to morrow I will give; when thou hast it by thee.(KJV-1611) Pro 3:28 Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!(Creole-HT) ======= Proverbs 3:29 ============ Pro 3:29 Devise not evil against thy neighbour, seeing he dwelleth securely by thee.(KJV-1611) Pro 3:29 Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:30 ============ Pro 3:30 Strive not with a man without cause, if he have done thee no harm.(KJV-1611) Pro 3:30 Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:31 ============ Pro 3:31 Envy thou not the oppressor, and choose none of his ways.(KJV-1611) Pro 3:31 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:32 ============ Pro 3:32 For the froward is abomination to the LORD: but his secret is with the righteous.(KJV-1611) Pro 3:32 Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:33 ============ Pro 3:33 The curse of the LORD is in the house of the wicked: but he blesseth the habitation of the just.(KJV-1611) Pro 3:33 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:34 ============ Pro 3:34 Surely he scorneth the scorners: but he giveth grace unto the lowly.(KJV-1611) Pro 3:34 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 3:35 ============ Pro 3:35 The wise shall inherit glory: but shame shall be the promotion of fools.(KJV-1611) Pro 3:35 Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:1 ============ Pro 4:1 Hear, ye children, the instruction of a father, and attend to know understanding.(KJV-1611) Pro 4:1 Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:2 ============ Pro 4:2 For I give you good doctrine, forsake ye not my law.(KJV-1611) Pro 4:2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:3 ============ Pro 4:3 For I was my father's son, tender and only beloved in the sight of my mother.(KJV-1611) Pro 4:3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:4 ============ Pro 4:4 He taught me also, and said unto me, Let thine heart retain my words: keep my commandments, and live.(KJV-1611) Pro 4:4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:5 ============ Pro 4:5 Get wisdom, get understanding: forget it not; neither decline from the words of my mouth.(KJV-1611) Pro 4:5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:6 ============ Pro 4:6 Forsake her not, and she shall preserve thee: love her, and she shall keep thee.(KJV-1611) Pro 4:6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:7 ============ Pro 4:7 Wisdom is the principal thing; therefore get wisdom: and with all thy getting get understanding.(KJV-1611) Pro 4:7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:8 ============ Pro 4:8 Exalt her, and she shall promote thee: she shall bring thee to honour, when thou dost embrace her.(KJV-1611) Pro 4:8 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:9 ============ Pro 4:9 She shall give to thine head an ornament of grace: a crown of glory shall she deliver to thee.(KJV-1611) Pro 4:9 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:10 ============ Pro 4:10 Hear, O my son, and receive my sayings; and the years of thy life shall be many.(KJV-1611) Pro 4:10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:11 ============ Pro 4:11 I have taught thee in the way of wisdom; I have led thee in right paths.(KJV-1611) Pro 4:11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:12 ============ Pro 4:12 When thou goest, thy steps shall not be straitened; and when thou runnest, thou shalt not stumble.(KJV-1611) Pro 4:12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:13 ============ Pro 4:13 Take fast hold of instruction; let her not go: keep her; for she is thy life.(KJV-1611) Pro 4:13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:14 ============ Pro 4:14 Enter not into the path of the wicked, and go not in the way of evil men.(KJV-1611) Pro 4:14 Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:15 ============ Pro 4:15 Avoid it, pass not by it, turn from it, and pass away.(KJV-1611) Pro 4:15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:16 ============ Pro 4:16 For they sleep not, except they have done mischief; and their sleep is taken away, unless they cause some to fall.(KJV-1611) Pro 4:16 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:17 ============ Pro 4:17 For they eat the bread of wickedness, and drink the wine of violence.(KJV-1611) Pro 4:17 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:18 ============ Pro 4:18 But the path of the just is as the shining light, that shineth more and more unto the perfect day.(KJV-1611) Pro 4:18 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:19 ============ Pro 4:19 The way of the wicked is as darkness: they know not at what they stumble.(KJV-1611) Pro 4:19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:20 ============ Pro 4:20 My son, attend to my words; incline thine ear unto my sayings.(KJV-1611) Pro 4:20 Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:21 ============ Pro 4:21 Let them not depart from thine eyes; keep them in the midst of thine heart.(KJV-1611) Pro 4:21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:22 ============ Pro 4:22 For they are life unto those that find them, and health to all their flesh.(KJV-1611) Pro 4:22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:23 ============ Pro 4:23 Keep thy heart with all diligence; for out of it are the issues of life.(KJV-1611) Pro 4:23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:24 ============ Pro 4:24 Put away from thee a froward mouth, and perverse lips put far from thee.(KJV-1611) Pro 4:24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:25 ============ Pro 4:25 Let thine eyes look right on, and let thine eyelids look straight before thee.(KJV-1611) Pro 4:25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:26 ============ Pro 4:26 Ponder the path of thy feet, and let all thy ways be established.(KJV-1611) Pro 4:26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 4:27 ============ Pro 4:27 Turn not to the right hand nor to the left: remove thy foot from evil.(KJV-1611) Pro 4:27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:1 ============ Pro 5:1 My son, attend unto my wisdom, and bow thine ear to my understanding:(KJV-1611) Pro 5:1 Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:2 ============ Pro 5:2 That thou mayest regard discretion, and that thy lips may keep knowledge.(KJV-1611) Pro 5:2 Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:3 ============ Pro 5:3 For the lips of a strange woman drop as an honeycomb, and her mouth is smoother than oil:(KJV-1611) Pro 5:3 Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:4 ============ Pro 5:4 But her end is bitter as wormwood, sharp as a two-edged sword.(KJV-1611) Pro 5:4 Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:5 ============ Pro 5:5 Her feet go down to death; her steps take hold on hell.(KJV-1611) Pro 5:5 L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:6 ============ Pro 5:6 Lest thou shouldest ponder the path of life, her ways are moveable, that thou canst not know them.(KJV-1611) Pro 5:6 Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:7 ============ Pro 5:7 Hear me now therefore, O ye children, and depart not from the words of my mouth.(KJV-1611) Pro 5:7 Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:8 ============ Pro 5:8 Remove thy way far from her, and come not nigh the door of her house:(KJV-1611) Pro 5:8 Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,(Creole-HT) ======= Proverbs 5:9 ============ Pro 5:9 Lest thou give thine honour unto others, and thy years unto the cruel:(KJV-1611) Pro 5:9 pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou!(Creole-HT) ======= Proverbs 5:10 ============ Pro 5:10 Lest strangers be filled with thy wealth; and thy labours be in the house of a stranger;(KJV-1611) Pro 5:10 Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:11 ============ Pro 5:11 And thou mourn at the last, when thy flesh and thy body are consumed,(KJV-1611) Pro 5:11 Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:12 ============ Pro 5:12 And say, How have I hated instruction, and my heart despised reproof;(KJV-1611) Pro 5:12 Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen?(Creole-HT) ======= Proverbs 5:13 ============ Pro 5:13 And have not obeyed the voice of my teachers, nor inclined mine ear to them that instructed me!(KJV-1611) Pro 5:13 Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:14 ============ Pro 5:14 I was almost in all evil in the midst of the congregation and assembly.(KJV-1611) Pro 5:14 Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:15 ============ Pro 5:15 Drink waters out of thine own cistern, and running waters out of thine own well.(KJV-1611) Pro 5:15 Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:16 ============ Pro 5:16 Let thy fountains be dispersed abroad, and rivers of waters in the streets.(KJV-1611) Pro 5:16 Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:17 ============ Pro 5:17 Let them be only thine own, and not strangers' with thee.(KJV-1611) Pro 5:17 Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:18 ============ Pro 5:18 Let thy fountain be blessed: and rejoice with the wife of thy youth.(KJV-1611) Pro 5:18 Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:19 ============ Pro 5:19 Let her be as the loving hind and pleasant roe; let her breasts satisfy thee at all times; and be thou ravished always with her love.(KJV-1611) Pro 5:19 L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:20 ============ Pro 5:20 And why wilt thou, my son, be ravished with a strange woman, and embrace the bosom of a stranger?(KJV-1611) Pro 5:20 Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?(Creole-HT) ======= Proverbs 5:21 ============ Pro 5:21 For the ways of man are before the eyes of the LORD, and he pondereth all his goings.(KJV-1611) Pro 5:21 Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:22 ============ Pro 5:22 His own iniquities shall take the wicked himself, and he shall be holden with the cords of his sins.(KJV-1611) Pro 5:22 Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.(Creole-HT) ======= Proverbs 5:23 ============ Pro 5:23 He shall die without instruction; and in the greatness of his folly he shall go astray.(KJV-1611) Pro 5:23 Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:1 ============ Pro 6:1 My son, if thou be surety for thy friend, if thou hast stricken thy hand with a stranger,(KJV-1611) Pro 6:1 Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete,(Creole-HT) ======= Proverbs 6:2 ============ Pro 6:2 Thou art snared with the words of thy mouth, thou art taken with the words of thy mouth.(KJV-1611) Pro 6:2 si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou,(Creole-HT) ======= Proverbs 6:3 ============ Pro 6:3 Do this now, my son, and deliver thyself, when thou art come into the hand of thy friend; go, humble thyself, and make sure thy friend.(KJV-1611) Pro 6:3 ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:4 ============ Pro 6:4 Give not sleep to thine eyes, nor slumber to thine eyelids.(KJV-1611) Pro 6:4 Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:5 ============ Pro 6:5 Deliver thyself as a roe from the hand of the hunter, and as a bird from the hand of the fowler.(KJV-1611) Pro 6:5 Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:6 ============ Pro 6:6 Go to the ant, thou sluggard; consider her ways, and be wise:(KJV-1611) Pro 6:6 Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:7 ============ Pro 6:7 Which having no guide, overseer, or ruler,(KJV-1611) Pro 6:7 Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:8 ============ Pro 6:8 Provideth her meat in the summer, and gathereth her food in the harvest.(KJV-1611) Pro 6:8 Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:9 ============ Pro 6:9 How long wilt thou sleep, O sluggard? when wilt thou arise out of thy sleep?(KJV-1611) Pro 6:9 Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi?(Creole-HT) ======= Proverbs 6:10 ============ Pro 6:10 Yet a little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to sleep:(KJV-1611) Pro 6:10 W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:11 ============ Pro 6:11 So shall thy poverty come as one that travelleth, and thy want as an armed man.(KJV-1611) Pro 6:11 Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:12 ============ Pro 6:12 A naughty person, a wicked man, walketh with a froward mouth.(KJV-1611) Pro 6:12 Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:13 ============ Pro 6:13 He winketh with his eyes, he speaketh with his feet, he teacheth with his fingers;(KJV-1611) Pro 6:13 Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:14 ============ Pro 6:14 Frowardness is in his heart, he deviseth mischief continually; he soweth discord.(KJV-1611) Pro 6:14 Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:15 ============ Pro 6:15 Therefore shall his calamity come suddenly; suddenly shall he be broken without remedy.(KJV-1611) Pro 6:15 Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:16 ============ Pro 6:16 These six things doth the LORD hate: yea, seven are an abomination unto him:(KJV-1611) Pro 6:16 Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:(Creole-HT) ======= Proverbs 6:17 ============ Pro 6:17 A proud look, a lying tongue, and hands that shed innocent blood,(KJV-1611) Pro 6:17 Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,(Creole-HT) ======= Proverbs 6:18 ============ Pro 6:18 An heart that deviseth wicked imaginations, feet that be swift in running to mischief,(KJV-1611) Pro 6:18 se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,(Creole-HT) ======= Proverbs 6:19 ============ Pro 6:19 A false witness that speaketh lies, and he that soweth discord among brethren.(KJV-1611) Pro 6:19 se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:20 ============ Pro 6:20 My son, keep thy father's commandment, and forsake not the law of thy mother:(KJV-1611) Pro 6:20 Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:21 ============ Pro 6:21 Bind them continually upon thine heart, and tie them about thy neck.(KJV-1611) Pro 6:21 Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:22 ============ Pro 6:22 When thou goest, it shall lead thee; when thou sleepest, it shall keep thee; and when thou awakest, it shall talk with thee.(KJV-1611) Pro 6:22 Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:23 ============ Pro 6:23 For the commandment is a lamp; and the law is light; and reproofs of instruction are the way of life:(KJV-1611) Pro 6:23 Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:24 ============ Pro 6:24 To keep thee from the evil woman, from the flattery of the tongue of a strange woman.(KJV-1611) Pro 6:24 Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:25 ============ Pro 6:25 Lust not after her beauty in thine heart; neither let her take thee with her eyelids.(KJV-1611) Pro 6:25 Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:26 ============ Pro 6:26 For by means of a whorish woman a man is brought to a piece of bread: and the adultress will hunt for the precious life.(KJV-1611) Pro 6:26 Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:27 ============ Pro 6:27 Can a man take fire in his bosom, and his clothes not be burned?(KJV-1611) Pro 6:27 Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:28 ============ Pro 6:28 Can one go upon hot coals, and his feet not be burned?(KJV-1611) Pro 6:28 Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:29 ============ Pro 6:29 So he that goeth in to his neighbour's wife; whosoever toucheth her shall not be innocent.(KJV-1611) Pro 6:29 Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:30 ============ Pro 6:30 Men do not despise a thief, if he steal to satisfy his soul when he is hungry;(KJV-1611) Pro 6:30 Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:31 ============ Pro 6:31 But if he be found, he shall restore sevenfold; he shall give all the substance of his house.(KJV-1611) Pro 6:31 Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:32 ============ Pro 6:32 But whoso committeth adultery with a woman lacketh understanding: he that doeth it destroyeth his own soul.(KJV-1611) Pro 6:32 Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:33 ============ Pro 6:33 A wound and dishonour shall he get; and his reproach shall not be wiped away.(KJV-1611) Pro 6:33 L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:34 ============ Pro 6:34 For jealousy is the rage of a man: therefore he will not spare in the day of vengeance.(KJV-1611) Pro 6:34 Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 6:35 ============ Pro 6:35 He will not regard any ransom; neither will he rest content, though thou givest many gifts.(KJV-1611) Pro 6:35 Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:1 ============ Pro 7:1 My son, keep my words, and lay up my commandments with thee.(KJV-1611) Pro 7:1 Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:2 ============ Pro 7:2 Keep my commandments, and live; and my law as the apple of thine eye.(KJV-1611) Pro 7:2 Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:3 ============ Pro 7:3 Bind them upon thy fingers, write them upon the table of thine heart.(KJV-1611) Pro 7:3 Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:4 ============ Pro 7:4 Say unto wisdom, Thou art my sister; and call understanding thy kinswoman:(KJV-1611) Pro 7:4 Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:5 ============ Pro 7:5 That they may keep thee from the strange woman, from the stranger which flattereth with her words.(KJV-1611) Pro 7:5 Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:6 ============ Pro 7:6 For at the window of my house I looked through my casement,(KJV-1611) Pro 7:6 Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:7 ============ Pro 7:7 And beheld among the simple ones, I discerned among the youths, a young man void of understanding,(KJV-1611) Pro 7:7 Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:8 ============ Pro 7:8 Passing through the street near her corner; and he went the way to her house,(KJV-1611) Pro 7:8 Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:9 ============ Pro 7:9 In the twilight, in the evening, in the black and dark night:(KJV-1611) Pro 7:9 Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:10 ============ Pro 7:10 And, behold, there met him a woman with the attire of an harlot, and subtil of heart.(KJV-1611) Pro 7:10 Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:11 ============ Pro 7:11 (She is loud and stubborn; her feet abide not in her house:(KJV-1611) Pro 7:11 Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:12 ============ Pro 7:12 Now is she without, now in the streets, and lieth in wait at every corner.)(KJV-1611) Pro 7:12 Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:13 ============ Pro 7:13 So she caught him, and kissed him, and with an impudent face said unto him,(KJV-1611) Pro 7:13 Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':(Creole-HT) ======= Proverbs 7:14 ============ Pro 7:14 I have peace offerings with me; this day have I payed my vows.(KJV-1611) Pro 7:14 Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:15 ============ Pro 7:15 Therefore came I forth to meet thee, diligently to seek thy face, and I have found thee.(KJV-1611) Pro 7:15 Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:16 ============ Pro 7:16 I have decked my bed with coverings of tapestry, with carved works, with fine linen of Egypt.(KJV-1611) Pro 7:16 Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:17 ============ Pro 7:17 I have perfumed my bed with myrrh, aloes, and cinnamon.(KJV-1611) Pro 7:17 Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:18 ============ Pro 7:18 Come, let us take our fill of love until the morning: let us solace ourselves with loves.(KJV-1611) Pro 7:18 Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:19 ============ Pro 7:19 For the goodman is not at home, he is gone a long journey:(KJV-1611) Pro 7:19 Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:20 ============ Pro 7:20 He hath taken a bag of money with him, and will come home at the day appointed.(KJV-1611) Pro 7:20 Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:21 ============ Pro 7:21 With her much fair speech she caused him to yield, with the flattering of her lips she forced him.(KJV-1611) Pro 7:21 Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:22 ============ Pro 7:22 He goeth after her straightway, as an ox goeth to the slaughter, or as a fool to the correction of the stocks;(KJV-1611) Pro 7:22 Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen(Creole-HT) ======= Proverbs 7:23 ============ Pro 7:23 Till a dart strike through his liver; as a bird hasteth to the snare, and knoweth not that it is for his life.(KJV-1611) Pro 7:23 k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:24 ============ Pro 7:24 Hearken unto me now therefore, O ye children, and attend to the words of my mouth.(KJV-1611) Pro 7:24 Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:25 ============ Pro 7:25 Let not thine heart decline to her ways, go not astray in her paths.(KJV-1611) Pro 7:25 Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:26 ============ Pro 7:26 For she hath cast down many wounded: yea, many strong men have been slain by her.(KJV-1611) Pro 7:26 Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 7:27 ============ Pro 7:27 Her house is the way to hell, going down to the chambers of death.(KJV-1611) Pro 7:27 Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:1 ============ Pro 8:1 Doth not wisdom cry? and understanding put forth her voice?(KJV-1611) Pro 8:1 Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entèlijans ap pale fò pou tout moun tande.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:2 ============ Pro 8:2 She standeth in the top of high places, by the way in the places of the paths.(KJV-1611) Pro 8:2 Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:3 ============ Pro 8:3 She crieth at the gates, at the entry of the city, at the coming in at the doors.(KJV-1611) Pro 8:3 L'ap pale byen fò bò pòtay lavil la, sou tout papòt yo, l'ap di:(Creole-HT) ======= Proverbs 8:4 ============ Pro 8:4 Unto you, O men, I call; and my voice is to the sons of man.(KJV-1611) Pro 8:4 Nou menm lèzòm, se ak nou m'ap pale. M'ap rele pou tout moun ki sou latè tande.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:5 ============ Pro 8:5 O ye simple, understand wisdom: and, ye fools, be ye of an understanding heart.(KJV-1611) Pro 8:5 Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:6 ============ Pro 8:6 Hear; for I will speak of excellent things; and the opening of my lips shall be right things.(KJV-1611) Pro 8:6 Louvri zòrèy nou. Mwen pral di pawòl ki konsekan. Tou sa mwen pral di yo se bagay ki dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:7 ============ Pro 8:7 For my mouth shall speak truth; and wickedness is an abomination to my lips.(KJV-1611) Pro 8:7 Sa m' pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:8 ============ Pro 8:8 All the words of my mouth are in righteousness; there is nothing froward or perverse in them.(KJV-1611) Pro 8:8 Tou sa ki soti nan bouch mwen, se pawòl ki dwat. Nan sa m' di yo pa gen anyen ki pa vre, pa gen anyen ki kwochi.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:9 ============ Pro 8:9 They are all plain to him that understandeth, and right to them that find knowledge.(KJV-1611) Pro 8:9 Yo klè pou moun ki gen bon konprann. Yo kòrèk pou moun ki gen konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:10 ============ Pro 8:10 Receive my instruction, and not silver; and knowledge rather than choice gold.(KJV-1611) Pro 8:10 Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:11 ============ Pro 8:11 For wisdom is better than rubies; and all the things that may be desired are not to be compared to it.(KJV-1611) Pro 8:11 Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:12 ============ Pro 8:12 I wisdom dwell with prudence, and find out knowledge of witty inventions.(KJV-1611) Pro 8:12 Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m' konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:13 ============ Pro 8:13 The fear of the LORD is to hate evil: pride, and arrogancy, and the evil way, and the froward mouth, do I hate.(KJV-1611) Pro 8:13 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:14 ============ Pro 8:14 Counsel is mine, and sound wisdom: I am understanding; I have strength.(KJV-1611) Pro 8:14 Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:15 ============ Pro 8:15 By me kings reign, and princes decree justice.(KJV-1611) Pro 8:15 Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:16 ============ Pro 8:16 By me princes rule, and nobles, even all the judges of the earth.(KJV-1611) Pro 8:16 Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:17 ============ Pro 8:17 I love them that love me; and those that seek me early shall find me.(KJV-1611) Pro 8:17 Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:18 ============ Pro 8:18 Riches and honour are with me; yea, durable riches and righteousness.(KJV-1611) Pro 8:18 Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:19 ============ Pro 8:19 My fruit is better than gold, yea, than fine gold; and my revenue than choice silver.(KJV-1611) Pro 8:19 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:20 ============ Pro 8:20 I lead in the way of righteousness, in the midst of the paths of judgment:(KJV-1611) Pro 8:20 Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:21 ============ Pro 8:21 That I may cause those that love me to inherit substance; and I will fill their treasures.(KJV-1611) Pro 8:21 Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:22 ============ Pro 8:22 The LORD possessed me in the beginning of his way, before his works of old.(KJV-1611) Pro 8:22 Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:23 ============ Pro 8:23 I was set up from everlasting, from the beginning, or ever the earth was.(KJV-1611) Pro 8:23 Li te fè m' nan konmansman nèt, an premye, anvan tout lòt bagay sou latè.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:24 ============ Pro 8:24 When there were no depths, I was brought forth; when there were no fountains abounding with water.(KJV-1611) Pro 8:24 Lè m' te fèk parèt, pa t' ankò gen lanmè. pa t' ankò gen ankenn sous dlo.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:25 ============ Pro 8:25 Before the mountains were settled, before the hills was I brought forth:(KJV-1611) Pro 8:25 Lè m' te fèt la, pa t' ankò gen ankenn mòn menm. Ata ti mòn yo pa t' ankò nan plas yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:26 ============ Pro 8:26 While as yet he had not made the earth, nor the fields, nor the highest part of the dust of the world.(KJV-1611) Pro 8:26 Bondye pa t' ankò fè latè ak jaden. Pa menm premye grenn pousyè tè a pa t' ankò fèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:27 ============ Pro 8:27 When he prepared the heavens, I was there: when he set a compass upon the face of the depth:(KJV-1611) Pro 8:27 Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liy kote syèl la kontre ak latè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:28 ============ Pro 8:28 When he established the clouds above: when he strengthened the fountains of the deep:(KJV-1611) Pro 8:28 Mwen te la lè li t'ap mete nwaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:29 ============ Pro 8:29 When he gave to the sea his decree, that the waters should not pass his commandment: when he appointed the foundations of the earth:(KJV-1611) Pro 8:29 Mwen te la lè li t'ap bay dlo lanmè a limit pou l' pa depase, lè li t'ap poze fondasyon tè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:30 ============ Pro 8:30 Then I was by him, as one brought up with him: and I was daily his delight, rejoicing always before him;(KJV-1611) Pro 8:30 Mwen te la bò kote l' ap travay avè l'. Chak jou mwen t'ap fè tout bagay ki te fè l' plezi. Mwen te toujou kontan travay anba je l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:31 ============ Pro 8:31 Rejoicing in the habitable part of his earth; and my delights were with the sons of men.(KJV-1611) Pro 8:31 Mwen te kontan mache toupatou sou latè. Mwen te pran plezi m' ak lèzòm.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:32 ============ Pro 8:32 Now therefore hearken unto me, O ye children: for blessed are they that keep my ways.(KJV-1611) Pro 8:32 Koulye a, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m' di yo fè!(Creole-HT) ======= Proverbs 8:33 ============ Pro 8:33 Hear instruction, and be wise, and refuse it not.(KJV-1611) Pro 8:33 Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:34 ============ Pro 8:34 Blessed is the man that heareth me, watching daily at my gates, waiting at the posts of my doors.(KJV-1611) Pro 8:34 Ala bon sa bon pou moun ki koute m', pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!(Creole-HT) ======= Proverbs 8:35 ============ Pro 8:35 For whoso findeth me findeth life, and shall obtain favour of the LORD.(KJV-1611) Pro 8:35 Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 8:36 ============ Pro 8:36 But he that sinneth against me wrongeth his own soul: all they that hate me love death.(KJV-1611) Pro 8:36 Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:1 ============ Pro 9:1 Wisdom hath builded her house, she hath hewn out her seven pillars:(KJV-1611) Pro 9:1 Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:2 ============ Pro 9:2 She hath killed her beasts; she hath mingled her wine; she hath also furnished her table.(KJV-1611) Pro 9:2 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:3 ============ Pro 9:3 She hath sent forth her maidens: she crieth upon the highest places of the city,(KJV-1611) Pro 9:3 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:(Creole-HT) ======= Proverbs 9:4 ============ Pro 9:4 Whoso is simple, let him turn in hither: as for him that wanteth understanding, she saith to him,(KJV-1611) Pro 9:4 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo:(Creole-HT) ======= Proverbs 9:5 ============ Pro 9:5 Come, eat of my bread, and drink of the wine which I have mingled.(KJV-1611) Pro 9:5 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!(Creole-HT) ======= Proverbs 9:6 ============ Pro 9:6 Forsake the foolish, and live; and go in the way of understanding.(KJV-1611) Pro 9:6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:7 ============ Pro 9:7 He that reproveth a scorner getteth to himself shame: and he that rebuketh a wicked man getteth himself a blot.(KJV-1611) Pro 9:7 Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:8 ============ Pro 9:8 Reprove not a scorner, lest he hate thee: rebuke a wise man, and he will love thee.(KJV-1611) Pro 9:8 Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:9 ============ Pro 9:9 Give instruction to a wise man, and he will be yet wiser: teach a just man, and he will increase in learning.(KJV-1611) Pro 9:9 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:10 ============ Pro 9:10 The fear of the LORD is the beginning of wisdom: and the knowledge of the holy is understanding.(KJV-1611) Pro 9:10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:11 ============ Pro 9:11 For by me thy days shall be multiplied, and the years of thy life shall be increased.(KJV-1611) Pro 9:11 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:12 ============ Pro 9:12 If thou be wise, thou shalt be wise for thyself: but if thou scornest, thou alone shalt bear it.(KJV-1611) Pro 9:12 Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:13 ============ Pro 9:13 A foolish woman is clamorous: she is simple, and knoweth nothing.(KJV-1611) Pro 9:13 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:14 ============ Pro 9:14 For she sitteth at the door of her house, on a seat in the high places of the city,(KJV-1611) Pro 9:14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.(Creole-HT) ======= Proverbs 9:15 ============ Pro 9:15 To call passengers who go right on their ways:(KJV-1611) Pro 9:15 L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo:(Creole-HT) ======= Proverbs 9:16 ============ Pro 9:16 Whoso is simple, let him turn in hither: and as for him that wanteth understanding, she saith to him,(KJV-1611) Pro 9:16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:(Creole-HT) ======= Proverbs 9:17 ============ Pro 9:17 Stolen waters are sweet, and bread eaten in secret is pleasant.(KJV-1611) Pro 9:17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!(Creole-HT) ======= Proverbs 9:18 ============ Pro 9:18 But he knoweth not that the dead are there; and that her guests are in the depths of hell.(KJV-1611) Pro 9:18 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:1 ============ Pro 10:1 The proverbs of Solomon. A wise son maketh a glad father: but a foolish son is the heaviness of his mother.(KJV-1611) Pro 10:1 Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:2 ============ Pro 10:2 Treasures of wickedness profit nothing: but righteousness delivereth from death.(KJV-1611) Pro 10:2 Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:3 ============ Pro 10:3 The LORD will not suffer the soul of the righteous to famish: but he casteth away the substance of the wicked.(KJV-1611) Pro 10:3 Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:4 ============ Pro 10:4 He becometh poor that dealeth with a slack hand: but the hand of the diligent maketh rich.(KJV-1611) Pro 10:4 Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:5 ============ Pro 10:5 He that gathereth in summer is a wise son: but he that sleepeth in harvest is a son that causeth shame.(KJV-1611) Pro 10:5 Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:6 ============ Pro 10:6 Blessings are upon the head of the just: but violence covereth the mouth of the wicked.(KJV-1611) Pro 10:6 benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:7 ============ Pro 10:7 The memory of the just is blessed: but the name of the wicked shall rot.(KJV-1611) Pro 10:7 Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:8 ============ Pro 10:8 The wise in heart will receive commandments: but a prating fool shall fall.(KJV-1611) Pro 10:8 Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:9 ============ Pro 10:9 He that walketh uprightly walketh surely: but he that perverteth his ways shall be known.(KJV-1611) Pro 10:9 Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:10 ============ Pro 10:10 He that winketh with the eye causeth sorrow: but a prating fool shall fall.(KJV-1611) Pro 10:10 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:11 ============ Pro 10:11 The mouth of a righteous man is a well of life: but violence covereth the mouth of the wicked.(KJV-1611) Pro 10:11 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:12 ============ Pro 10:12 Hatred stirreth up strifes: but love covereth all sins.(KJV-1611) Pro 10:12 Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:13 ============ Pro 10:13 In the lips of him that hath understanding wisdom is found: but a rod is for the back of him that is void of understanding.(KJV-1611) Pro 10:13 Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:14 ============ Pro 10:14 Wise men lay up knowledge: but the mouth of the foolish is near destruction.(KJV-1611) Pro 10:14 Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:15 ============ Pro 10:15 The rich man's wealth is his strong city: the destruction of the poor is their poverty.(KJV-1611) Pro 10:15 Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:16 ============ Pro 10:16 The labour of the righteous tendeth to life: the fruit of the wicked to sin.(KJV-1611) Pro 10:16 Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:17 ============ Pro 10:17 He is in the way of life that keepeth instruction: but he that refuseth reproof erreth.(KJV-1611) Pro 10:17 Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:18 ============ Pro 10:18 He that hideth hatred with lying lips, and he that uttereth a slander, is a fool.(KJV-1611) Pro 10:18 Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:19 ============ Pro 10:19 In the multitude of words there wanteth not sin: but he that refraineth his lips is wise.(KJV-1611) Pro 10:19 Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:20 ============ Pro 10:20 The tongue of the just is as choice silver: the heart of the wicked is little worth.(KJV-1611) Pro 10:20 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:21 ============ Pro 10:21 The lips of the righteous feed many: but fools die for want of wisdom.(KJV-1611) Pro 10:21 Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:22 ============ Pro 10:22 The blessing of the LORD, it maketh rich, and he addeth no sorrow with it.(KJV-1611) Pro 10:22 benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:23 ============ Pro 10:23 It is as sport to a fool to do mischief: but a man of understanding hath wisdom.(KJV-1611) Pro 10:23 Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:24 ============ Pro 10:24 The fear of the wicked, it shall come upon him: but the desire of the righteous shall be granted.(KJV-1611) Pro 10:24 Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:25 ============ Pro 10:25 As the whirlwind passeth, so is the wicked no more: but the righteous is an everlasting foundation.(KJV-1611) Pro 10:25 Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:26 ============ Pro 10:26 As vinegar to the teeth, and as smoke to the eyes, so is the sluggard to them that send him.(KJV-1611) Pro 10:26 Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:27 ============ Pro 10:27 The fear of the LORD prolongeth days: but the years of the wicked shall be shortened.(KJV-1611) Pro 10:27 Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:28 ============ Pro 10:28 The hope of the righteous shall be gladness: but the expectation of the wicked shall perish.(KJV-1611) Pro 10:28 Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:29 ============ Pro 10:29 The way of the LORD is strength to the upright: but destruction shall be to the workers of iniquity.(KJV-1611) Pro 10:29 Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:30 ============ Pro 10:30 The righteous shall never be removed: but the wicked shall not inhabit the earth.(KJV-1611) Pro 10:30 Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:31 ============ Pro 10:31 The mouth of the just bringeth forth wisdom: but the froward tongue shall be cut out.(KJV-1611) Pro 10:31 Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 10:32 ============ Pro 10:32 The lips of the righteous know what is acceptable: but the mouth of the wicked speaketh frowardness.(KJV-1611) Pro 10:32 Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:1 ============ Pro 11:1 A false balance is abomination to the LORD: but a just weight is his delight.(KJV-1611) Pro 11:1 Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:2 ============ Pro 11:2 When pride cometh, then cometh shame: but with the lowly is wisdom.(KJV-1611) Pro 11:2 Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:3 ============ Pro 11:3 The integrity of the upright shall guide them: but the perverseness of transgressors shall destroy them.(KJV-1611) Pro 11:3 Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:4 ============ Pro 11:4 Riches profit not in the day of wrath: but righteousness delivereth from death.(KJV-1611) Pro 11:4 Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:5 ============ Pro 11:5 The righteousness of the perfect shall direct his way: but the wicked shall fall by his own wickedness.(KJV-1611) Pro 11:5 Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:6 ============ Pro 11:6 The righteousness of the upright shall deliver them: but transgressors shall be taken in their own naughtiness.(KJV-1611) Pro 11:6 Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:7 ============ Pro 11:7 When a wicked man dieth, his expectation shall perish: and the hope of unjust men perisheth.(KJV-1611) Pro 11:7 Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:8 ============ Pro 11:8 The righteous is delivered out of trouble, and the wicked cometh in his stead.(KJV-1611) Pro 11:8 Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:9 ============ Pro 11:9 An hypocrite with his mouth destroyeth his neighbour: but through knowledge shall the just be delivered.(KJV-1611) Pro 11:9 Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:10 ============ Pro 11:10 When it goeth well with the righteous, the city rejoiceth: and when the wicked perish, there is shouting.(KJV-1611) Pro 11:10 Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:11 ============ Pro 11:11 By the blessing of the upright the city is exalted: but it is overthrown by the mouth of the wicked.(KJV-1611) Pro 11:11 Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:12 ============ Pro 11:12 He that is void of wisdom despiseth his neighbour: but a man of understanding holdeth his peace.(KJV-1611) Pro 11:12 Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:13 ============ Pro 11:13 A talebearer revealeth secrets: but he that is of a faithful spirit concealeth the matter.(KJV-1611) Pro 11:13 Moun k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men, moun ki toujou kenbe pawòl yo, kè yo se kòfrefò.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:14 ============ Pro 11:14 Where no counsel is, the people fall: but in the multitude of counsellors there is safety.(KJV-1611) Pro 11:14 Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:15 ============ Pro 11:15 He that is surety for a stranger shall smart for it: and he that hateth suretiship is sure.(KJV-1611) Pro 11:15 Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:16 ============ Pro 11:16 A gracious woman retaineth honour: and strong men retain riches.(KJV-1611) Pro 11:16 Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:17 ============ Pro 11:17 The merciful man doeth good to his own soul: but he that is cruel troubleth his own flesh.(KJV-1611) Pro 11:17 Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:18 ============ Pro 11:18 The wicked worketh a deceitful work: but to him that soweth righteousness shall be a sure reward.(KJV-1611) Pro 11:18 Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:19 ============ Pro 11:19 As righteousness tendeth to life: so he that pursueth evil pursueth it to his own death.(KJV-1611) Pro 11:19 Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:20 ============ Pro 11:20 They that are of a froward heart are abomination to the LORD: but such as are upright in their way are his delight.(KJV-1611) Pro 11:20 Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:21 ============ Pro 11:21 Though hand join in hand, the wicked shall not be unpunished: but the seed of the righteous shall be delivered.(KJV-1611) Pro 11:21 Wè pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:22 ============ Pro 11:22 As a jewel of gold in a swine's snout, so is a fair woman which is without discretion.(KJV-1611) Pro 11:22 Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:23 ============ Pro 11:23 The desire of the righteous is only good: but the expectation of the wicked is wrath.(KJV-1611) Pro 11:23 Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:24 ============ Pro 11:24 There is that scattereth, and yet increaseth; and there is that withholdeth more than is meet, but it tendeth to poverty.(KJV-1611) Pro 11:24 Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:25 ============ Pro 11:25 The liberal soul shall be made fat: and he that watereth shall be watered also himself.(KJV-1611) Pro 11:25 Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:26 ============ Pro 11:26 He that withholdeth corn, the people shall curse him: but blessing shall be upon the head of him that selleth it.(KJV-1611) Pro 11:26 Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:27 ============ Pro 11:27 He that diligently seeketh good procureth favour: but he that seeketh mischief, it shall come unto him.(KJV-1611) Pro 11:27 Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:28 ============ Pro 11:28 He that trusteth in his riches shall fall; but the righteous shall flourish as a branch.(KJV-1611) Pro 11:28 Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:29 ============ Pro 11:29 He that troubleth his own house shall inherit the wind: and the fool shall be servant to the wise of heart.(KJV-1611) Pro 11:29 Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:30 ============ Pro 11:30 The fruit of the righteous is a tree of life; and he that winneth souls is wise.(KJV-1611) Pro 11:30 Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 11:31 ============ Pro 11:31 Behold, the righteous shall be recompensed in the earth: much more the wicked and the sinner.(KJV-1611) Pro 11:31 Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!(Creole-HT) ======= Proverbs 12:1 ============ Pro 12:1 Whoso loveth instruction loveth knowledge: but he that hateth reproof is brutish.(KJV-1611) Pro 12:1 Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:2 ============ Pro 12:2 A good man obtaineth favour of the LORD: but a man of wicked devices will he condemn.(KJV-1611) Pro 12:2 Seyè a kontan ak moun k'ap fè sa ki byen. Men, l'ap kondannen moun ki toujou sou plan.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:3 ============ Pro 12:3 A man shall not be established by wickedness: but the root of the righteous shall not be moved.(KJV-1611) Pro 12:3 Fè mechanste pa bay moun fòs pou yo rete kanpe. Men, moun ki mache dwat p'ap janm brannen.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:4 ============ Pro 12:4 A virtuous woman is a crown to her husband: but she that maketh ashamed is as rottenness in his bones.(KJV-1611) Pro 12:4 Yon bon madanm se yon lwanj li ye pou mari li. Men, yon madanm ki fè mari l' wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:5 ============ Pro 12:5 The thoughts of the righteous are right: but the counsels of the wicked are deceit.(KJV-1611) Pro 12:5 Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:6 ============ Pro 12:6 The words of the wicked are to lie in wait for blood: but the mouth of the upright shall deliver them.(KJV-1611) Pro 12:6 Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:7 ============ Pro 12:7 The wicked are overthrown, and are not: but the house of the righteous shall stand.(KJV-1611) Pro 12:7 Rive yon lè, pye mechan yo chape. Ou chache yo, ou pa wè yo. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo ap toujou la.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:8 ============ Pro 12:8 A man shall be commended according to his wisdom: but he that is of a perverse heart shall be despised.(KJV-1611) Pro 12:8 Y'ap fè lwanj moun ki gen konprann. Men, y'ap meprize moun ki malveyan.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:9 ============ Pro 12:9 He that is despised, and hath a servant, is better than he that honoureth himself, and lacketh bread.(KJV-1611) Pro 12:9 Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:10 ============ Pro 12:10 A righteous man regardeth the life of his beast: but the tender mercies of the wicked are cruel.(KJV-1611) Pro 12:10 Moun ki mache dwat okipe ata zannimo nan lakou yo. Men, mechan yo san zantray.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:11 ============ Pro 12:11 He that tilleth his land shall be satisfied with bread: but he that followeth vain persons is void of understanding.(KJV-1611) Pro 12:11 Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:12 ============ Pro 12:12 The wicked desireth the net of evil men: but the root of the righteous yieldeth fruit.(KJV-1611) Pro 12:12 Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:13 ============ Pro 12:13 The wicked is snared by the transgression of his lips: but the just shall come out of trouble.(KJV-1611) Pro 12:13 Pawòl ki soti nan bouch moun mechan tounen yon pèlen pou yo. Men, moun k'ap mache dwat ap soti nan tout move pa.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:14 ============ Pro 12:14 A man shall be satisfied with good by the fruit of his mouth: and the recompence of a man's hands shall be rendered unto him.(KJV-1611) Pro 12:14 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:15 ============ Pro 12:15 The way of a fool is right in his own eyes: but he that hearkeneth unto counsel is wise.(KJV-1611) Pro 12:15 Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:16 ============ Pro 12:16 A fool's wrath is presently known: but a prudent man covereth shame.(KJV-1611) Pro 12:16 Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:17 ============ Pro 12:17 He that speaketh truth sheweth forth righteousness: but a false witness deceit.(KJV-1611) Pro 12:17 Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:18 ============ Pro 12:18 There is that speaketh like the piercings of a sword: but the tongue of the wise is health.(KJV-1611) Pro 12:18 Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:19 ============ Pro 12:19 The lip of truth shall be established for ever: but a lying tongue is but for a moment.(KJV-1611) Pro 12:19 Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:20 ============ Pro 12:20 Deceit is in the heart of them that imagine evil: but to the counsellors of peace is joy.(KJV-1611) Pro 12:20 Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:21 ============ Pro 12:21 There shall no evil happen to the just: but the wicked shall be filled with mischief.(KJV-1611) Pro 12:21 Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:22 ============ Pro 12:22 Lying lips are abomination to the LORD: but they that deal truly are his delight.(KJV-1611) Pro 12:22 Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:23 ============ Pro 12:23 A prudent man concealeth knowledge: but the heart of fools proclaimeth foolishness.(KJV-1611) Pro 12:23 Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:24 ============ Pro 12:24 The hand of the diligent shall bear rule: but the slothful shall be under tribute.(KJV-1611) Pro 12:24 Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:25 ============ Pro 12:25 Heaviness in the heart of man maketh it stoop: but a good word maketh it glad.(KJV-1611) Pro 12:25 Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:26 ============ Pro 12:26 The righteous is more excellent than his neighbour: but the way of the wicked seduceth them.(KJV-1611) Pro 12:26 Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:27 ============ Pro 12:27 The slothful man roasteth not that which he took in hunting: but the substance of a diligent man is precious.(KJV-1611) Pro 12:27 Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.(Creole-HT) ======= Proverbs 12:28 ============ Pro 12:28 In the way of righteousness is life: and in the pathway thereof there is no death.(KJV-1611) Pro 12:28 Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:1 ============ Pro 13:1 A wise son heareth his father's instruction: but a scorner heareth not rebuke.(KJV-1611) Pro 13:1 Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:2 ============ Pro 13:2 A man shall eat good by the fruit of his mouth: but the soul of the transgressors shall eat violence.(KJV-1611) Pro 13:2 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:3 ============ Pro 13:3 He that keepeth his mouth keepeth his life: but he that openeth wide his lips shall have destruction.(KJV-1611) Pro 13:3 Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:4 ============ Pro 13:4 The soul of the sluggard desireth, and hath nothing: but the soul of the diligent shall be made fat.(KJV-1611) Pro 13:4 Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:5 ============ Pro 13:5 A righteous man hateth lying: but a wicked man is loathsome, and cometh to shame.(KJV-1611) Pro 13:5 Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:6 ============ Pro 13:6 Righteousness keepeth him that is upright in the way: but wickedness overthroweth the sinner.(KJV-1611) Pro 13:6 Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:7 ============ Pro 13:7 There is that maketh himself rich, yet hath nothing: there is that maketh himself poor, yet hath great riches.(KJV-1611) Pro 13:7 Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:8 ============ Pro 13:8 The ransom of a man's life are his riches: but the poor heareth not rebuke.(KJV-1611) Pro 13:8 Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:9 ============ Pro 13:9 The light of the righteous rejoiceth: but the lamp of the wicked shall be put out.(KJV-1611) Pro 13:9 Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:10 ============ Pro 13:10 Only by pride cometh contention: but with the well advised is wisdom.(KJV-1611) Pro 13:10 Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:11 ============ Pro 13:11 Wealth gotten by vanity shall be diminished: but he that gathereth by labour shall increase.(KJV-1611) Pro 13:11 Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:12 ============ Pro 13:12 Hope deferred maketh the heart sick: but when the desire cometh, it is a tree of life.(KJV-1611) Pro 13:12 Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:13 ============ Pro 13:13 Whoso despiseth the word shall be destroyed: but he that feareth the commandment shall be rewarded.(KJV-1611) Pro 13:13 Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:14 ============ Pro 13:14 The law of the wise is a fountain of life, to depart from the snares of death.(KJV-1611) Pro 13:14 Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:15 ============ Pro 13:15 Good understanding giveth favour: but the way of transgressors is hard.(KJV-1611) Pro 13:15 Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:16 ============ Pro 13:16 Every prudent man dealeth with knowledge: but a fool layeth open his folly.(KJV-1611) Pro 13:16 Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:17 ============ Pro 13:17 A wicked messenger falleth into mischief: but a faithful ambassador is health.(KJV-1611) Pro 13:17 Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:18 ============ Pro 13:18 Poverty and shame shall be to him that refuseth instruction: but he that regardeth reproof shall be honoured.(KJV-1611) Pro 13:18 Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:19 ============ Pro 13:19 The desire accomplished is sweet to the soul: but it is abomination to fools to depart from evil.(KJV-1611) Pro 13:19 Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:20 ============ Pro 13:20 He that walketh with wise men shall be wise: but a companion of fools shall be destroyed.(KJV-1611) Pro 13:20 Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:21 ============ Pro 13:21 Evil pursueth sinners: but to the righteous good shall be repayed.(KJV-1611) Pro 13:21 Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:22 ============ Pro 13:22 A good man leaveth an inheritance to his children's children: and the wealth of the sinner is laid up for the just.(KJV-1611) Pro 13:22 Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:23 ============ Pro 13:23 Much food is in the tillage of the poor: but there is that is destroyed for want of judgment.(KJV-1611) Pro 13:23 Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:24 ============ Pro 13:24 He that spareth his rod hateth his son: but he that loveth him chasteneth him betimes.(KJV-1611) Pro 13:24 Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 13:25 ============ Pro 13:25 The righteous eateth to the satisfying of his soul: but the belly of the wicked shall want.(KJV-1611) Pro 13:25 Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:1 ============ Pro 14:1 Every wise woman buildeth her house: but the foolish plucketh it down with her hands.(KJV-1611) Pro 14:1 Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:2 ============ Pro 14:2 He that walketh in his uprightness feareth the LORD: but he that is perverse in his ways despiseth him.(KJV-1611) Pro 14:2 Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:3 ============ Pro 14:3 In the mouth of the foolish is a rod of pride: but the lips of the wise shall preserve them.(KJV-1611) Pro 14:3 Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:4 ============ Pro 14:4 Where no oxen are, the crib is clean: but much increase is by the strength of the ox.(KJV-1611) Pro 14:4 Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:5 ============ Pro 14:5 A faithful witness will not lie: but a false witness will utter lies.(KJV-1611) Pro 14:5 Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:6 ============ Pro 14:6 A scorner seeketh wisdom, and findeth it not: but knowledge is easy unto him that understandeth.(KJV-1611) Pro 14:6 Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:7 ============ Pro 14:7 Go from the presence of a foolish man, when thou perceivest not in him the lips of knowledge.(KJV-1611) Pro 14:7 Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:8 ============ Pro 14:8 The wisdom of the prudent is to understand his way: but the folly of fools is deceit.(KJV-1611) Pro 14:8 Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:9 ============ Pro 14:9 Fools make a mock at sin: but among the righteous there is favour.(KJV-1611) Pro 14:9 Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:10 ============ Pro 14:10 The heart knoweth his own bitterness; and a stranger doth not intermeddle with his joy.(KJV-1611) Pro 14:10 Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:11 ============ Pro 14:11 The house of the wicked shall be overthrown: but the tabernacle of the upright shall flourish.(KJV-1611) Pro 14:11 Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:12 ============ Pro 14:12 There is a way which seemeth right unto a man, but the end thereof are the ways of death.(KJV-1611) Pro 14:12 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:13 ============ Pro 14:13 Even in laughter the heart is sorrowful; and the end of that mirth is heaviness.(KJV-1611) Pro 14:13 Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:14 ============ Pro 14:14 The backslider in heart shall be filled with his own ways: and a good man shall be satisfied from himself.(KJV-1611) Pro 14:14 Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:15 ============ Pro 14:15 The simple believeth every word: but the prudent man looketh well to his going.(KJV-1611) Pro 14:15 Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:16 ============ Pro 14:16 A wise man feareth, and departeth from evil: but the fool rageth, and is confident.(KJV-1611) Pro 14:16 Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:17 ============ Pro 14:17 He that is soon angry dealeth foolishly: and a man of wicked devices is hated.(KJV-1611) Pro 14:17 Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:18 ============ Pro 14:18 The simple inherit folly: but the prudent are crowned with knowledge.(KJV-1611) Pro 14:18 Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:19 ============ Pro 14:19 The evil bow before the good; and the wicked at the gates of the righteous.(KJV-1611) Pro 14:19 Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:20 ============ Pro 14:20 The poor is hated even of his own neighbour: but the rich hath many friends.(KJV-1611) Pro 14:20 Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:21 ============ Pro 14:21 He that despiseth his neighbour sinneth: but he that hath mercy on the poor, happy is he.(KJV-1611) Pro 14:21 Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!(Creole-HT) ======= Proverbs 14:22 ============ Pro 14:22 Do they not err that devise evil? but mercy and truth shall be to them that devise good.(KJV-1611) Pro 14:22 Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:23 ============ Pro 14:23 In all labour there is profit: but the talk of the lips tendeth only to penury.(KJV-1611) Pro 14:23 Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:24 ============ Pro 14:24 The crown of the wise is their riches: but the foolishness of fools is folly.(KJV-1611) Pro 14:24 Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:25 ============ Pro 14:25 A true witness delivereth souls: but a deceitful witness speaketh lies.(KJV-1611) Pro 14:25 Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:26 ============ Pro 14:26 In the fear of the LORD is strong confidence: and his children shall have a place of refuge.(KJV-1611) Pro 14:26 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:27 ============ Pro 14:27 The fear of the LORD is a fountain of life, to depart from the snares of death.(KJV-1611) Pro 14:27 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:28 ============ Pro 14:28 In the multitude of people is the king's honour: but in the want of people is the destruction of the prince.(KJV-1611) Pro 14:28 Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:29 ============ Pro 14:29 He that is slow to wrath is of great understanding: but he that is hasty of spirit exalteth folly.(KJV-1611) Pro 14:29 Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:30 ============ Pro 14:30 A sound heart is the life of the flesh: but envy the rottenness of the bones.(KJV-1611) Pro 14:30 Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:31 ============ Pro 14:31 He that oppresseth the poor reproacheth his Maker: but he that honoureth him hath mercy on the poor.(KJV-1611) Pro 14:31 Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:32 ============ Pro 14:32 The wicked is driven away in his wickedness: but the righteous hath hope in his death.(KJV-1611) Pro 14:32 Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:33 ============ Pro 14:33 Wisdom resteth in the heart of him that hath understanding: but that which is in the midst of fools is made known.(KJV-1611) Pro 14:33 Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:34 ============ Pro 14:34 Righteousness exalteth a nation: but sin is a reproach to any people.(KJV-1611) Pro 14:34 Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.(Creole-HT) ======= Proverbs 14:35 ============ Pro 14:35 The king's favour is toward a wise servant: but his wrath is against him that causeth shame.(KJV-1611) Pro 14:35 Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:1 ============ Pro 15:1 A soft answer turneth away wrath: but grievous words stir up anger.(KJV-1611) Pro 15:1 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:2 ============ Pro 15:2 The tongue of the wise useth knowledge aright: but the mouth of fools poureth out foolishness.(KJV-1611) Pro 15:2 Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:3 ============ Pro 15:3 The eyes of the LORD are in every place, beholding the evil and the good.(KJV-1611) Pro 15:3 Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:4 ============ Pro 15:4 A wholesome tongue is a tree of life: but perverseness therein is a breach in the spirit.(KJV-1611) Pro 15:4 Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:5 ============ Pro 15:5 A fool despiseth his father's instruction: but he that regardeth reproof is prudent.(KJV-1611) Pro 15:5 Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:6 ============ Pro 15:6 In the house of the righteous is much treasure: but in the revenues of the wicked is trouble.(KJV-1611) Pro 15:6 Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:7 ============ Pro 15:7 The lips of the wise disperse knowledge: but the heart of the foolish doeth not so.(KJV-1611) Pro 15:7 Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:8 ============ Pro 15:8 The sacrifice of the wicked is an abomination to the LORD: but the prayer of the upright is his delight.(KJV-1611) Pro 15:8 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:9 ============ Pro 15:9 The way of the wicked is an abomination unto the LORD: but he loveth him that followeth after righteousness.(KJV-1611) Pro 15:9 Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:10 ============ Pro 15:10 Correction is grievous unto him that forsaketh the way: and he that hateth reproof shall die.(KJV-1611) Pro 15:10 Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:11 ============ Pro 15:11 Hell and destruction are before the LORD: how much more then the hearts of the children of men?(KJV-1611) Pro 15:11 Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:12 ============ Pro 15:12 A scorner loveth not one that reproveth him: neither will he go unto the wise.(KJV-1611) Pro 15:12 Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:13 ============ Pro 15:13 A merry heart maketh a cheerful countenance: but by sorrow of the heart the spirit is broken.(KJV-1611) Pro 15:13 Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:14 ============ Pro 15:14 The heart of him that hath understanding seeketh knowledge: but the mouth of fools feedeth on foolishness.(KJV-1611) Pro 15:14 Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:15 ============ Pro 15:15 All the days of the afflicted are evil: but he that is of a merry heart hath a continual feast.(KJV-1611) Pro 15:15 Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:16 ============ Pro 15:16 Better is little with the fear of the LORD than great treasure and trouble therewith.(KJV-1611) Pro 15:16 Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:17 ============ Pro 15:17 Better is a dinner of herbs where love is, than a stalled ox and hatred therewith.(KJV-1611) Pro 15:17 Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:18 ============ Pro 15:18 A wrathful man stirreth up strife: but he that is slow to anger appeaseth strife.(KJV-1611) Pro 15:18 Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:19 ============ Pro 15:19 The way of the slothful man is as an hedge of thorns: but the way of the righteous is made plain.(KJV-1611) Pro 15:19 Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:20 ============ Pro 15:20 A wise son maketh a glad father: but a foolish man despiseth his mother.(KJV-1611) Pro 15:20 Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:21 ============ Pro 15:21 Folly is joy to him that is destitute of wisdom: but a man of understanding walketh uprightly.(KJV-1611) Pro 15:21 Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:22 ============ Pro 15:22 Without counsel purposes are disappointed: but in the multitude of counsellors they are established.(KJV-1611) Pro 15:22 Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:23 ============ Pro 15:23 A man hath joy by the answer of his mouth: and a word spoken in due season, how good is it!(KJV-1611) Pro 15:23 Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!(Creole-HT) ======= Proverbs 15:24 ============ Pro 15:24 The way of life is above to the wise, that he may depart from hell beneath.(KJV-1611) Pro 15:24 Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:25 ============ Pro 15:25 The LORD will destroy the house of the proud: but he will establish the border of the widow.(KJV-1611) Pro 15:25 Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:26 ============ Pro 15:26 The thoughts of the wicked are an abomination to the LORD: but the words of the pure are pleasant words.(KJV-1611) Pro 15:26 Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:27 ============ Pro 15:27 He that is greedy of gain troubleth his own house; but he that hateth gifts shall live.(KJV-1611) Pro 15:27 Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:28 ============ Pro 15:28 The heart of the righteous studieth to answer: but the mouth of the wicked poureth out evil things.(KJV-1611) Pro 15:28 Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:29 ============ Pro 15:29 The LORD is far from the wicked: but he heareth the prayer of the righteous.(KJV-1611) Pro 15:29 Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:30 ============ Pro 15:30 The light of the eyes rejoiceth the heart: and a good report maketh the bones fat.(KJV-1611) Pro 15:30 Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:31 ============ Pro 15:31 The ear that heareth the reproof of life abideth among the wise.(KJV-1611) Pro 15:31 Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:32 ============ Pro 15:32 He that refuseth instruction despiseth his own soul: but he that heareth reproof getteth understanding.(KJV-1611) Pro 15:32 Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 15:33 ============ Pro 15:33 The fear of the LORD is the instruction of wisdom; and before honour is humility.(KJV-1611) Pro 15:33 Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:1 ============ Pro 16:1 The preparations of the heart in man, and the answer of the tongue, is from the LORD.(KJV-1611) Pro 16:1 Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:2 ============ Pro 16:2 All the ways of a man are clean in his own eyes; but the LORD weigheth the spirits.(KJV-1611) Pro 16:2 Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:3 ============ Pro 16:3 Commit thy works unto the LORD, and thy thoughts shall be established.(KJV-1611) Pro 16:3 Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:4 ============ Pro 16:4 The LORD hath made all things for himself: yea, even the wicked for the day of evil.(KJV-1611) Pro 16:4 Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l' fè li. Menm mechan an, li kreye l' pou l' ka pini l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:5 ============ Pro 16:5 Every one that is proud in heart is an abomination to the LORD: though hand join in hand, he shall not be unpunished.(KJV-1611) Pro 16:5 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:6 ============ Pro 16:6 By mercy and truth iniquity is purged: and by the fear of the LORD men depart from evil.(KJV-1611) Pro 16:6 Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:7 ============ Pro 16:7 When a man's ways please the LORD, he maketh even his enemies to be at peace with him.(KJV-1611) Pro 16:7 Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l' yo aji byen avè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:8 ============ Pro 16:8 Better is a little with righteousness than great revenues without right.(KJV-1611) Pro 16:8 Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:9 ============ Pro 16:9 A man's heart deviseth his way: but the LORD directeth his steps.(KJV-1611) Pro 16:9 Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:10 ============ Pro 16:10 A divine sentence is in the lips of the king: his mouth transgresseth not in judgment.(KJV-1611) Pro 16:10 Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:11 ============ Pro 16:11 A just weight and balance are the LORD's: all the weights of the bag are his work.(KJV-1611) Pro 16:11 Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:12 ============ Pro 16:12 It is an abomination to kings to commit wickedness: for the throne is established by righteousness.(KJV-1611) Pro 16:12 Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:13 ============ Pro 16:13 Righteous lips are the delight of kings; and they love him that speaketh right.(KJV-1611) Pro 16:13 Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:14 ============ Pro 16:14 The wrath of a king is as messengers of death: but a wise man will pacify it.(KJV-1611) Pro 16:14 Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:15 ============ Pro 16:15 In the light of the king's countenance is life; and his favour is as a cloud of the latter rain.(KJV-1611) Pro 16:15 Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l', se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:16 ============ Pro 16:16 How much better is it to get wisdom than gold! and to get understanding rather to be chosen than silver!(KJV-1611) Pro 16:16 Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:17 ============ Pro 16:17 The highway of the upright is to depart from evil: he that keepeth his way preserveth his soul.(KJV-1611) Pro 16:17 Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:18 ============ Pro 16:18 Pride goeth before destruction, and an haughty spirit before a fall.(KJV-1611) Pro 16:18 Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:19 ============ Pro 16:19 Better it is to be of an humble spirit with the lowly, than to divide the spoil with the proud.(KJV-1611) Pro 16:19 Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:20 ============ Pro 16:20 He that handleth a matter wisely shall find good: and whoso trusteth in the LORD, happy is he.(KJV-1611) Pro 16:20 Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l' va wè zafè l' mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!(Creole-HT) ======= Proverbs 16:21 ============ Pro 16:21 The wise in heart shall be called prudent: and the sweetness of the lips increaseth learning.(KJV-1611) Pro 16:21 Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:22 ============ Pro 16:22 Understanding is a wellspring of life unto him that hath it: but the instruction of fools is folly.(KJV-1611) Pro 16:22 Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:23 ============ Pro 16:23 The heart of the wise teacheth his mouth, and addeth learning to his lips.(KJV-1611) Pro 16:23 Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:24 ============ Pro 16:24 Pleasant words are as an honeycomb, sweet to the soul, and health to the bones.(KJV-1611) Pro 16:24 Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:25 ============ Pro 16:25 There is a way that seemeth right unto a man, but the end thereof are the ways of death.(KJV-1611) Pro 16:25 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:26 ============ Pro 16:26 He that laboureth laboureth for himself; for his mouth craveth it of him.(KJV-1611) Pro 16:26 Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:27 ============ Pro 16:27 An ungodly man diggeth up evil: and in his lips there is as a burning fire.(KJV-1611) Pro 16:27 Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:28 ============ Pro 16:28 A froward man soweth strife: and a whisperer separateth chief friends.(KJV-1611) Pro 16:28 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:29 ============ Pro 16:29 A violent man enticeth his neighbour, and leadeth him into the way that is not good.(KJV-1611) Pro 16:29 Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l' fè sa ki pa bon.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:30 ============ Pro 16:30 He shutteth his eyes to devise froward things: moving his lips he bringeth evil to pass.(KJV-1611) Pro 16:30 Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:31 ============ Pro 16:31 The hoary head is a crown of glory, if it be found in the way of righteousness.(KJV-1611) Pro 16:31 Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:32 ============ Pro 16:32 He that is slow to anger is better than the mighty; and he that ruleth his spirit than he that taketh a city.(KJV-1611) Pro 16:32 Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.(Creole-HT) ======= Proverbs 16:33 ============ Pro 16:33 The lot is cast into the lap; but the whole disposing thereof is of the LORD.(KJV-1611) Pro 16:33 Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:1 ============ Pro 17:1 Better is a dry morsel, and quietness therewith, than an house full of sacrifices with strife.(KJV-1611) Pro 17:1 Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:2 ============ Pro 17:2 A wise servant shall have rule over a son that causeth shame, and shall have part of the inheritance among the brethren.(KJV-1611) Pro 17:2 Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:3 ============ Pro 17:3 The fining pot is for silver, and the furnace for gold: but the LORD trieth the hearts.(KJV-1611) Pro 17:3 Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:4 ============ Pro 17:4 A wicked doer giveth heed to false lips; and a liar giveth ear to a naughty tongue.(KJV-1611) Pro 17:4 Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:5 ============ Pro 17:5 Whoso mocketh the poor reproacheth his Maker: and he that is glad at calamities shall not be unpunished.(KJV-1611) Pro 17:5 Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:6 ============ Pro 17:6 Children's children are the crown of old men; and the glory of children are their fathers.(KJV-1611) Pro 17:6 Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:7 ============ Pro 17:7 Excellent speech becometh not a fool: much less do lying lips a prince.(KJV-1611) Pro 17:7 Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:8 ============ Pro 17:8 A gift is as a precious stone in the eyes of him that hath it: whithersoever it turneth, it prospereth.(KJV-1611) Pro 17:8 Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:9 ============ Pro 17:9 He that covereth a transgression seeketh love; but he that repeateth a matter separateth very friends.(KJV-1611) Pro 17:9 Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:10 ============ Pro 17:10 A reproof entereth more into a wise man than an hundred stripes into a fool.(KJV-1611) Pro 17:10 Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:11 ============ Pro 17:11 An evil man seeketh only rebellion: therefore a cruel messenger shall be sent against him.(KJV-1611) Pro 17:11 Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:12 ============ Pro 17:12 Let a bear robbed of her whelps meet a man, rather than a fool in his folly.(KJV-1611) Pro 17:12 Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:13 ============ Pro 17:13 Whoso rewardeth evil for good, evil shall not depart from his house.(KJV-1611) Pro 17:13 Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:14 ============ Pro 17:14 The beginning of strife is as when one letteth out water: therefore leave off contention, before it be meddled with.(KJV-1611) Pro 17:14 Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:15 ============ Pro 17:15 He that justifieth the wicked, and he that condemneth the just, even they both are abomination to the LORD.(KJV-1611) Pro 17:15 Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:16 ============ Pro 17:16 Wherefore is there a price in the hand of a fool to get wisdom, seeing he hath no heart to it?(KJV-1611) Pro 17:16 Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:17 ============ Pro 17:17 A friend loveth at all times, and a brother is born for adversity.(KJV-1611) Pro 17:17 Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:18 ============ Pro 17:18 A man void of understanding striketh hands, and becometh surety in the presence of his friend.(KJV-1611) Pro 17:18 Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:19 ============ Pro 17:19 He loveth transgression that loveth strife: and he that exalteth his gate seeketh destruction.(KJV-1611) Pro 17:19 Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:20 ============ Pro 17:20 He that hath a froward heart findeth no good: and he that hath a perverse tongue falleth into mischief.(KJV-1611) Pro 17:20 Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:21 ============ Pro 17:21 He that begetteth a fool doeth it to his sorrow: and the father of a fool hath no joy.(KJV-1611) Pro 17:21 Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:22 ============ Pro 17:22 A merry heart doeth good like a medicine: but a broken spirit drieth the bones.(KJV-1611) Pro 17:22 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:23 ============ Pro 17:23 A wicked man taketh a gift out of the bosom to pervert the ways of judgment.(KJV-1611) Pro 17:23 Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:24 ============ Pro 17:24 Wisdom is before him that hath understanding; but the eyes of a fool are in the ends of the earth.(KJV-1611) Pro 17:24 Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:25 ============ Pro 17:25 A foolish son is a grief to his father, and bitterness to her that bare him.(KJV-1611) Pro 17:25 Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:26 ============ Pro 17:26 Also to punish the just is not good, nor to strike princes for equity.(KJV-1611) Pro 17:26 Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:27 ============ Pro 17:27 He that hath knowledge spareth his words: and a man of understanding is of an excellent spirit.(KJV-1611) Pro 17:27 Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 17:28 ============ Pro 17:28 Even a fool, when he holdeth his peace, is counted wise: and he that shutteth his lips is esteemed a man of understanding.(KJV-1611) Pro 17:28 Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:1 ============ Pro 18:1 Through desire a man, having separated himself, seeketh and intermeddleth with all wisdom.(KJV-1611) Pro 18:1 Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:2 ============ Pro 18:2 A fool hath no delight in understanding, but that his heart may discover itself.(KJV-1611) Pro 18:2 Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:3 ============ Pro 18:3 When the wicked cometh, then cometh also contempt, and with ignominy reproach.(KJV-1611) Pro 18:3 Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:4 ============ Pro 18:4 The words of a man's mouth are as deep waters, and the wellspring of wisdom as a flowing brook.(KJV-1611) Pro 18:4 Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:5 ============ Pro 18:5 It is not good to accept the person of the wicked, to overthrow the righteous in judgment.(KJV-1611) Pro 18:5 Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:6 ============ Pro 18:6 A fool's lips enter into contention, and his mouth calleth for strokes.(KJV-1611) Pro 18:6 Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:7 ============ Pro 18:7 A fool's mouth is his destruction, and his lips are the snare of his soul.(KJV-1611) Pro 18:7 Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:8 ============ Pro 18:8 The words of a talebearer are as wounds, and they go down into the innermost parts of the belly.(KJV-1611) Pro 18:8 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:9 ============ Pro 18:9 He also that is slothful in his work is brother to him that is a great waster.(KJV-1611) Pro 18:9 Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:10 ============ Pro 18:10 The name of the LORD is a strong tower: the righteous runneth into it, and is safe.(KJV-1611) Pro 18:10 Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:11 ============ Pro 18:11 The rich man's wealth is his strong city, and as an high wall in his own conceit.(KJV-1611) Pro 18:11 Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:12 ============ Pro 18:12 Before destruction the heart of man is haughty, and before honour is humility.(KJV-1611) Pro 18:12 Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:13 ============ Pro 18:13 He that answereth a matter before he heareth it, it is folly and shame unto him.(KJV-1611) Pro 18:13 Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:14 ============ Pro 18:14 The spirit of a man will sustain his infirmity; but a wounded spirit who can bear?(KJV-1611) Pro 18:14 Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?(Creole-HT) ======= Proverbs 18:15 ============ Pro 18:15 The heart of the prudent getteth knowledge; and the ear of the wise seeketh knowledge.(KJV-1611) Pro 18:15 Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:16 ============ Pro 18:16 A man's gift maketh room for him, and bringeth him before great men.(KJV-1611) Pro 18:16 Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:17 ============ Pro 18:17 He that is first in his own cause seemeth just; but his neighbour cometh and searcheth him.(KJV-1611) Pro 18:17 Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:18 ============ Pro 18:18 The lot causeth contentions to cease, and parteth between the mighty.(KJV-1611) Pro 18:18 Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:19 ============ Pro 18:19 A brother offended is harder to be won than a strong city: and their contentions are like the bars of a castle.(KJV-1611) Pro 18:19 Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:20 ============ Pro 18:20 A man's belly shall be satisfied with the fruit of his mouth; and with the increase of his lips shall he be filled.(KJV-1611) Pro 18:20 Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:21 ============ Pro 18:21 Death and life are in the power of the tongue: and they that love it shall eat the fruit thereof.(KJV-1611) Pro 18:21 Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:22 ============ Pro 18:22 Whoso findeth a wife findeth a good thing, and obtaineth favour of the LORD.(KJV-1611) Pro 18:22 Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:23 ============ Pro 18:23 The poor useth intreaties; but the rich answereth roughly.(KJV-1611) Pro 18:23 Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 18:24 ============ Pro 18:24 A man that hath friends must shew himself friendly: and there is a friend that sticketh closer than a brother.(KJV-1611) Pro 18:24 Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:1 ============ Pro 19:1 Better is the poor that walketh in his integrity, than he that is perverse in his lips, and is a fool.(KJV-1611) Pro 19:1 Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:2 ============ Pro 19:2 Also, that the soul be without knowledge, it is not good; and he that hasteth with his feet sinneth.(KJV-1611) Pro 19:2 Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:3 ============ Pro 19:3 The foolishness of man perverteth his way: and his heart fretteth against the LORD.(KJV-1611) Pro 19:3 Se sotiz yon nonm ki fini avè l'. Apre sa, li konprann pou l' fache sou Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:4 ============ Pro 19:4 Wealth maketh many friends; but the poor is separated from his neighbour.(KJV-1611) Pro 19:4 Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:5 ============ Pro 19:5 A false witness shall not be unpunished, and he that speaketh lies shall not escape.(KJV-1611) Pro 19:5 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:6 ============ Pro 19:6 Many will intreat the favour of the prince: and every man is a friend to him that giveth gifts.(KJV-1611) Pro 19:6 Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:7 ============ Pro 19:7 All the brethren of the poor do hate him: how much more do his friends go far from him? he pursueth them with words, yet they are wanting to him.(KJV-1611) Pro 19:7 Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!(Creole-HT) ======= Proverbs 19:8 ============ Pro 19:8 He that getteth wisdom loveth his own soul: he that keepeth understanding shall find good.(KJV-1611) Pro 19:8 Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:9 ============ Pro 19:9 A false witness shall not be unpunished, and he that speaketh lies shall perish.(KJV-1611) Pro 19:9 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:10 ============ Pro 19:10 Delight is not seemly for a fool; much less for a servant to have rule over princes.(KJV-1611) Pro 19:10 Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:11 ============ Pro 19:11 The discretion of a man deferreth his anger; and it is his glory to pass over a transgression.(KJV-1611) Pro 19:11 Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:12 ============ Pro 19:12 The king's wrath is as the roaring of a lion; but his favour is as dew upon the grass.(KJV-1611) Pro 19:12 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:13 ============ Pro 19:13 A foolish son is the calamity of his father: and the contentions of a wife are a continual dropping.(KJV-1611) Pro 19:13 Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l'. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:14 ============ Pro 19:14 House and riches are the inheritance of fathers: and a prudent wife is from the LORD.(KJV-1611) Pro 19:14 Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:15 ============ Pro 19:15 Slothfulness casteth into a deep sleep; and an idle soul shall suffer hunger.(KJV-1611) Pro 19:15 Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:16 ============ Pro 19:16 He that keepeth the commandment keepeth his own soul; but he that despiseth his ways shall die.(KJV-1611) Pro 19:16 Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l' l'a pa lwen mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:17 ============ Pro 19:17 He that hath pity upon the poor lendeth unto the LORD; and that which he hath given will he pay him again.(KJV-1611) Pro 19:17 Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:18 ============ Pro 19:18 Chasten thy son while there is hope, and let not thy soul spare for his crying.(KJV-1611) Pro 19:18 Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:19 ============ Pro 19:19 A man of great wrath shall suffer punishment: for if thou deliver him, yet thou must do it again.(KJV-1611) Pro 19:19 Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:20 ============ Pro 19:20 Hear counsel, and receive instruction, that thou mayest be wise in thy latter end.(KJV-1611) Pro 19:20 Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:21 ============ Pro 19:21 There are many devices in a man's heart; nevertheless the counsel of the LORD, that shall stand.(KJV-1611) Pro 19:21 Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:22 ============ Pro 19:22 The desire of a man is his kindness: and a poor man is better than a liar.(KJV-1611) Pro 19:22 Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:23 ============ Pro 19:23 The fear of the LORD tendeth to life: and he that hath it shall abide satisfied; he shall not be visited with evil.(KJV-1611) Pro 19:23 Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:24 ============ Pro 19:24 A slothful man hideth his hand in his bosom, and will not so much as bring it to his mouth again.(KJV-1611) Pro 19:24 Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:25 ============ Pro 19:25 Smite a scorner, and the simple will beware: and reprove one that hath understanding, and he will understand knowledge.(KJV-1611) Pro 19:25 Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y'a vin gen plis konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:26 ============ Pro 19:26 He that wasteth his father, and chaseth away his mother, is a son that causeth shame, and bringeth reproach.(KJV-1611) Pro 19:26 Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l', osinon pou l' mete manman l' deyò lakay li.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:27 ============ Pro 19:27 Cease, my son, to hear the instruction that causeth to err from the words of knowledge.(KJV-1611) Pro 19:27 Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:28 ============ Pro 19:28 An ungodly witness scorneth judgment: and the mouth of the wicked devoureth iniquity.(KJV-1611) Pro 19:28 Yon temwen k'ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.(Creole-HT) ======= Proverbs 19:29 ============ Pro 19:29 Judgments are prepared for scorners, and stripes for the back of fools.(KJV-1611) Pro 19:29 Baton an tou la pou moun k'ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:1 ============ Pro 20:1 Wine is a mocker, strong drink is raging: and whosoever is deceived thereby is not wise.(KJV-1611) Pro 20:1 Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:2 ============ Pro 20:2 The fear of a king is as the roaring of a lion: whoso provoketh him to anger sinneth against his own soul.(KJV-1611) Pro 20:2 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:3 ============ Pro 20:3 It is an honour for a man to cease from strife: but every fool will be meddling.(KJV-1611) Pro 20:3 Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:4 ============ Pro 20:4 The sluggard will not plow by reason of the cold; therefore shall he beg in harvest, and have nothing.(KJV-1611) Pro 20:4 Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:5 ============ Pro 20:5 Counsel in the heart of man is like deep water; but a man of understanding will draw it out.(KJV-1611) Pro 20:5 Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:6 ============ Pro 20:6 Most men will proclaim every one his own goodness: but a faithful man who can find?(KJV-1611) Pro 20:6 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:7 ============ Pro 20:7 The just man walketh in his integrity: his children are blessed after him.(KJV-1611) Pro 20:7 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:8 ============ Pro 20:8 A king that sitteth in the throne of judgment scattereth away all evil with his eyes.(KJV-1611) Pro 20:8 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:9 ============ Pro 20:9 Who can say, I have made my heart clean, I am pure from my sin?(KJV-1611) Pro 20:9 Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?(Creole-HT) ======= Proverbs 20:10 ============ Pro 20:10 Divers weights, and divers measures, both of them are alike abomination to the LORD.(KJV-1611) Pro 20:10 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:11 ============ Pro 20:11 Even a child is known by his doings, whether his work be pure, and whether it be right.(KJV-1611) Pro 20:11 Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:12 ============ Pro 20:12 The hearing ear, and the seeing eye, the LORD hath made even both of them.(KJV-1611) Pro 20:12 Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:13 ============ Pro 20:13 Love not sleep, lest thou come to poverty; open thine eyes, and thou shalt be satisfied with bread.(KJV-1611) Pro 20:13 Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:14 ============ Pro 20:14 It is naught, it is naught, saith the buyer: but when he is gone his way, then he boasteth.(KJV-1611) Pro 20:14 Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:15 ============ Pro 20:15 There is gold, and a multitude of rubies: but the lips of knowledge are a precious jewel.(KJV-1611) Pro 20:15 Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:16 ============ Pro 20:16 Take his garment that is surety for a stranger: and take a pledge of him for a strange woman.(KJV-1611) Pro 20:16 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:17 ============ Pro 20:17 Bread of deceit is sweet to a man; but afterwards his mouth shall be filled with gravel.(KJV-1611) Pro 20:17 Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:18 ============ Pro 20:18 Every purpose is established by counsel: and with good advice make war.(KJV-1611) Pro 20:18 Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:19 ============ Pro 20:19 He that goeth about as a talebearer revealeth secrets: therefore meddle not with him that flattereth with his lips.(KJV-1611) Pro 20:19 Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:20 ============ Pro 20:20 Whoso curseth his father or his mother, his lamp shall be put out in obscure darkness.(KJV-1611) Pro 20:20 Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:21 ============ Pro 20:21 An inheritance may be gotten hastily at the beginning; but the end thereof shall not be blessed.(KJV-1611) Pro 20:21 Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:22 ============ Pro 20:22 Say not thou, I will recompense evil; but wait on the LORD, and he shall save thee.(KJV-1611) Pro 20:22 Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:23 ============ Pro 20:23 Divers weights are an abomination unto the LORD; and a false balance is not good.(KJV-1611) Pro 20:23 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:24 ============ Pro 20:24 Man's goings are of the LORD; how can a man then understand his own way?(KJV-1611) Pro 20:24 Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?(Creole-HT) ======= Proverbs 20:25 ============ Pro 20:25 It is a snare to the man who devoureth that which is holy, and after vows to make enquiry.(KJV-1611) Pro 20:25 Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:26 ============ Pro 20:26 A wise king scattereth the wicked, and bringeth the wheel over them.(KJV-1611) Pro 20:26 Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:27 ============ Pro 20:27 The spirit of man is the candle of the LORD, searching all the inward parts of the belly.(KJV-1611) Pro 20:27 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:28 ============ Pro 20:28 Mercy and truth preserve the king: and his throne is upholden by mercy.(KJV-1611) Pro 20:28 Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:29 ============ Pro 20:29 The glory of young men is their strength: and the beauty of old men is the grey head.(KJV-1611) Pro 20:29 Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 20:30 ============ Pro 20:30 The blueness of a wound cleanseth away evil: so do stripes the inward parts of the belly.(KJV-1611) Pro 20:30 Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:1 ============ Pro 21:1 The king's heart is in the hand of the LORD, as the rivers of water: he turneth it whithersoever he will.(KJV-1611) Pro 21:1 Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:2 ============ Pro 21:2 Every way of a man is right in his own eyes: but the LORD pondereth the hearts.(KJV-1611) Pro 21:2 Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:3 ============ Pro 21:3 To do justice and judgment is more acceptable to the LORD than sacrifice.(KJV-1611) Pro 21:3 Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:4 ============ Pro 21:4 An high look, and a proud heart, and the plowing of the wicked, is sin.(KJV-1611) Pro 21:4 Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:5 ============ Pro 21:5 The thoughts of the diligent tend only to plenteousness; but of every one that is hasty only to want.(KJV-1611) Pro 21:5 Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:6 ============ Pro 21:6 The getting of treasures by a lying tongue is a vanity tossed to and fro of them that seek death.(KJV-1611) Pro 21:6 Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:7 ============ Pro 21:7 The robbery of the wicked shall destroy them; because they refuse to do judgment.(KJV-1611) Pro 21:7 Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:8 ============ Pro 21:8 The way of man is froward and strange: but as for the pure, his work is right.(KJV-1611) Pro 21:8 Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:9 ============ Pro 21:9 It is better to dwell in a corner of the housetop, than with a brawling woman in a wide house.(KJV-1611) Pro 21:9 Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:10 ============ Pro 21:10 The soul of the wicked desireth evil: his neighbour findeth no favour in his eyes.(KJV-1611) Pro 21:10 Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:11 ============ Pro 21:11 When the scorner is punished, the simple is made wise: and when the wise is instructed, he receiveth knowledge.(KJV-1611) Pro 21:11 Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:12 ============ Pro 21:12 The righteous man wisely considereth the house of the wicked: but God overthroweth the wicked for their wickedness.(KJV-1611) Pro 21:12 Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:13 ============ Pro 21:13 Whoso stoppeth his ears at the cry of the poor, he also shall cry himself, but shall not be heard.(KJV-1611) Pro 21:13 Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:14 ============ Pro 21:14 A gift in secret pacifieth anger: and a reward in the bosom strong wrath.(KJV-1611) Pro 21:14 Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:15 ============ Pro 21:15 It is joy to the just to do judgment: but destruction shall be to the workers of iniquity.(KJV-1611) Pro 21:15 Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:16 ============ Pro 21:16 The man that wandereth out of the way of understanding shall remain in the congregation of the dead.(KJV-1611) Pro 21:16 Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:17 ============ Pro 21:17 He that loveth pleasure shall be a poor man: he that loveth wine and oil shall not be rich.(KJV-1611) Pro 21:17 Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:18 ============ Pro 21:18 The wicked shall be a ransom for the righteous, and the transgressor for the upright.(KJV-1611) Pro 21:18 Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:19 ============ Pro 21:19 It is better to dwell in the wilderness, than with a contentious and an angry woman.(KJV-1611) Pro 21:19 Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:20 ============ Pro 21:20 There is treasure to be desired and oil in the dwelling of the wise; but a foolish man spendeth it up.(KJV-1611) Pro 21:20 Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:21 ============ Pro 21:21 He that followeth after righteousness and mercy findeth life, righteousness, and honour.(KJV-1611) Pro 21:21 Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:22 ============ Pro 21:22 A wise man scaleth the city of the mighty, and casteth down the strength of the confidence thereof.(KJV-1611) Pro 21:22 Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:23 ============ Pro 21:23 Whoso keepeth his mouth and his tongue keepeth his soul from troubles.(KJV-1611) Pro 21:23 Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:24 ============ Pro 21:24 Proud and haughty scorner is his name, who dealeth in proud wrath.(KJV-1611) Pro 21:24 Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:25 ============ Pro 21:25 The desire of the slothful killeth him; for his hands refuse to labour.(KJV-1611) Pro 21:25 Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:26 ============ Pro 21:26 He coveteth greedily all the day long: but the righteous giveth and spareth not.(KJV-1611) Pro 21:26 Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:27 ============ Pro 21:27 The sacrifice of the wicked is abomination: how much more, when he bringeth it with a wicked mind?(KJV-1611) Pro 21:27 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:28 ============ Pro 21:28 A false witness shall perish: but the man that heareth speaketh constantly.(KJV-1611) Pro 21:28 Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:29 ============ Pro 21:29 A wicked man hardeneth his face: but as for the upright, he directeth his way.(KJV-1611) Pro 21:29 Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:30 ============ Pro 21:30 There is no wisdom nor understanding nor counsel against the LORD.(KJV-1611) Pro 21:30 Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 21:31 ============ Pro 21:31 The horse is prepared against the day of battle: but safety is of the LORD.(KJV-1611) Pro 21:31 Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:1 ============ Pro 22:1 A GOOD name is rather to be chosen than great riches, and loving favour rather than silver and gold.(KJV-1611) Pro 22:1 Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:2 ============ Pro 22:2 The rich and poor meet together: the LORD is the maker of them all.(KJV-1611) Pro 22:2 Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:3 ============ Pro 22:3 A prudent man foreseeth the evil, and hideth himself: but the simple pass on, and are punished.(KJV-1611) Pro 22:3 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:4 ============ Pro 22:4 By humility and the fear of the LORD are riches, and honour, and life.(KJV-1611) Pro 22:4 Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:5 ============ Pro 22:5 Thorns and snares are in the way of the froward: he that doth keep his soul shall be far from them.(KJV-1611) Pro 22:5 Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:6 ============ Pro 22:6 Train up a child in the way he should go: and when he is old, he will not depart from it.(KJV-1611) Pro 22:6 Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:7 ============ Pro 22:7 The rich ruleth over the poor, and the borrower is servant to the lender.(KJV-1611) Pro 22:7 Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:8 ============ Pro 22:8 He that soweth iniquity shall reap vanity: and the rod of his anger shall fail.(KJV-1611) Pro 22:8 Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:9 ============ Pro 22:9 He that hath a bountiful eye shall be blessed; for he giveth of his bread to the poor.(KJV-1611) Pro 22:9 Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:10 ============ Pro 22:10 Cast out the scorner, and contention shall go out; yea, strife and reproach shall cease.(KJV-1611) Pro 22:10 Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:11 ============ Pro 22:11 He that loveth pureness of heart, for the grace of his lips the king shall be his friend.(KJV-1611) Pro 22:11 Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:12 ============ Pro 22:12 The eyes of the LORD preserve knowledge, and he overthroweth the words of the transgressor.(KJV-1611) Pro 22:12 Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:13 ============ Pro 22:13 The slothful man saith, There is a lion without, I shall be slain in the streets.(KJV-1611) Pro 22:13 Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:14 ============ Pro 22:14 The mouth of strange women is a deep pit: he that is abhorred of the LORD shall fall therein.(KJV-1611) Pro 22:14 Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:15 ============ Pro 22:15 Foolishness is bound in the heart of a child; but the rod of correction shall drive it far from him.(KJV-1611) Pro 22:15 Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:16 ============ Pro 22:16 He that oppresseth the poor to increase his riches, and he that giveth to the rich, shall surely come to want.(KJV-1611) Pro 22:16 Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:17 ============ Pro 22:17 Bow down thine ear, and hear the words of the wise, and apply thine heart unto my knowledge.(KJV-1611) Pro 22:17 Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:18 ============ Pro 22:18 For it is a pleasant thing if thou keep them within thee; they shall withal be fitted in thy lips.(KJV-1611) Pro 22:18 L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:19 ============ Pro 22:19 That thy trust may be in the LORD, I have made known to thee this day, even to thee.(KJV-1611) Pro 22:19 Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:20 ============ Pro 22:20 Have not I written to thee excellent things in counsels and knowledge,(KJV-1611) Pro 22:20 Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:21 ============ Pro 22:21 That I might make thee know the certainty of the words of truth; that thou mightest answer the words of truth to them that send unto thee?(KJV-1611) Pro 22:21 Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:(Creole-HT) ======= Proverbs 22:22 ============ Pro 22:22 Rob not the poor, because he is poor: neither oppress the afflicted in the gate:(KJV-1611) Pro 22:22 Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:23 ============ Pro 22:23 For the LORD will plead their cause, and spoil the soul of those that spoiled them.(KJV-1611) Pro 22:23 Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:24 ============ Pro 22:24 Make no friendship with an angry man; and with a furious man thou shalt not go:(KJV-1611) Pro 22:24 Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:25 ============ Pro 22:25 Lest thou learn his ways, and get a snare to thy soul.(KJV-1611) Pro 22:25 W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:26 ============ Pro 22:26 Be not thou one of them that strike hands, or of them that are sureties for debts.(KJV-1611) Pro 22:26 Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:27 ============ Pro 22:27 If thou hast nothing to pay, why should he take away thy bed from under thee?(KJV-1611) Pro 22:27 Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:28 ============ Pro 22:28 Remove not the ancient landmark, which thy fathers have set.(KJV-1611) Pro 22:28 Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 22:29 ============ Pro 22:29 Seest thou a man diligent in his business? he shall stand before kings; he shall not stand before mean men.(KJV-1611) Pro 22:29 Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:1 ============ Pro 23:1 When thou sittest to eat with a ruler, consider diligently what is before thee:(KJV-1611) Pro 23:1 Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:2 ============ Pro 23:2 And put a knife to thy throat, if thou be a man given to appetite.(KJV-1611) Pro 23:2 Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:3 ============ Pro 23:3 Be not desirous of his dainties: for they are deceitful meat.(KJV-1611) Pro 23:3 Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:4 ============ Pro 23:4 Labour not to be rich: cease from thine own wisdom.(KJV-1611) Pro 23:4 Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:5 ============ Pro 23:5 Wilt thou set thine eyes upon that which is not? for riches certainly make themselves wings; they fly away as an eagle toward heaven.(KJV-1611) Pro 23:5 Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:6 ============ Pro 23:6 Eat thou not the bread of him that hath an evil eye, neither desire thou his dainty meats:(KJV-1611) Pro 23:6 Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:7 ============ Pro 23:7 For as he thinketh in his heart, so is he: Eat and drink, saith he to thee; but his heart is not with thee.(KJV-1611) Pro 23:7 Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:8 ============ Pro 23:8 The morsel which thou hast eaten shalt thou vomit up, and lose thy sweet words.(KJV-1611) Pro 23:8 W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:9 ============ Pro 23:9 Speak not in the ears of a fool: for he will despise the wisdom of thy words.(KJV-1611) Pro 23:9 Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:10 ============ Pro 23:10 Remove not the old landmark; and enter not into the fields of the fatherless:(KJV-1611) Pro 23:10 Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:11 ============ Pro 23:11 For their redeemer is mighty; he shall plead their cause with thee.(KJV-1611) Pro 23:11 Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:12 ============ Pro 23:12 Apply thine heart unto instruction, and thine ears to the words of knowledge.(KJV-1611) Pro 23:12 Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:13 ============ Pro 23:13 Withhold not correction from the child: for if thou beatest him with the rod, he shall not die.(KJV-1611) Pro 23:13 Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:14 ============ Pro 23:14 Thou shalt beat him with the rod, and shalt deliver his soul from hell.(KJV-1611) Pro 23:14 Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:15 ============ Pro 23:15 My son, if thine heart be wise, my heart shall rejoice, even mine.(KJV-1611) Pro 23:15 Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:16 ============ Pro 23:16 Yea, my reins shall rejoice, when thy lips speak right things.(KJV-1611) Pro 23:16 M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:17 ============ Pro 23:17 Let not thine heart envy sinners: but be thou in the fear of the LORD all the day long.(KJV-1611) Pro 23:17 Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:18 ============ Pro 23:18 For surely there is an end; and thine expectation shall not be cut off.(KJV-1611) Pro 23:18 Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:19 ============ Pro 23:19 Hear thou, my son, and be wise, and guide thine heart in the way.(KJV-1611) Pro 23:19 Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:20 ============ Pro 23:20 Be not among winebibbers; among riotous eaters of flesh:(KJV-1611) Pro 23:20 Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:21 ============ Pro 23:21 For the drunkard and the glutton shall come to poverty: and drowsiness shall clothe a man with rags.(KJV-1611) Pro 23:21 Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:22 ============ Pro 23:22 Hearken unto thy father that begat thee, and despise not thy mother when she is old.(KJV-1611) Pro 23:22 Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:23 ============ Pro 23:23 Buy the truth, and sell it not; also wisdom, and instruction, and understanding.(KJV-1611) Pro 23:23 Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:24 ============ Pro 23:24 The father of the righteous shall greatly rejoice: and he that begetteth a wise child shall have joy of him.(KJV-1611) Pro 23:24 Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:25 ============ Pro 23:25 Thy father and thy mother shall be glad, and she that bare thee shall rejoice.(KJV-1611) Pro 23:25 Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:26 ============ Pro 23:26 My son, give me thine heart, and let thine eyes observe my ways.(KJV-1611) Pro 23:26 Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:27 ============ Pro 23:27 For a whore is a deep ditch; and a strange woman is a narrow pit.(KJV-1611) Pro 23:27 Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:28 ============ Pro 23:28 She also lieth in wait as for a prey, and increaseth the transgressors among men.(KJV-1611) Pro 23:28 Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:29 ============ Pro 23:29 Who hath woe? who hath sorrow? who hath contentions? who hath babbling? who hath wounds without cause? who hath redness of eyes?(KJV-1611) Pro 23:29 Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?(Creole-HT) ======= Proverbs 23:30 ============ Pro 23:30 They that tarry long at the wine; they that go to seek mixed wine.(KJV-1611) Pro 23:30 Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:31 ============ Pro 23:31 Look not thou upon the wine when it is red, when it giveth his colour in the cup, when it moveth itself aright.(KJV-1611) Pro 23:31 Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:32 ============ Pro 23:32 At the last it biteth like a serpent, and stingeth like an adder.(KJV-1611) Pro 23:32 Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:33 ============ Pro 23:33 Thine eyes shall behold strange women, and thine heart shall utter perverse things.(KJV-1611) Pro 23:33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:34 ============ Pro 23:34 Yea, thou shalt be as he that lieth down in the midst of the sea, or as he that lieth upon the top of a mast.(KJV-1611) Pro 23:34 W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.(Creole-HT) ======= Proverbs 23:35 ============ Pro 23:35 They have stricken me, shalt thou say, and I was not sick; they have beaten me, and I felt it not: when shall I awake? I will seek it yet again.(KJV-1611) Pro 23:35 Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:1 ============ Pro 24:1 Be not thou envious against evil men, neither desire to be with them.(KJV-1611) Pro 24:1 Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:2 ============ Pro 24:2 For their heart studieth destruction, and their lips talk of mischief.(KJV-1611) Pro 24:2 Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:3 ============ Pro 24:3 Through wisdom is an house builded; and by understanding it is established:(KJV-1611) Pro 24:3 Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:4 ============ Pro 24:4 And by knowledge shall the chambers be filled with all precious and pleasant riches.(KJV-1611) Pro 24:4 Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:5 ============ Pro 24:5 A wise man is strong; yea, a man of knowledge increaseth strength.(KJV-1611) Pro 24:5 Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:6 ============ Pro 24:6 For by wise counsel thou shalt make thy war: and in multitude of counsellors there is safety.(KJV-1611) Pro 24:6 Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:7 ============ Pro 24:7 Wisdom is too high for a fool: he openeth not his mouth in the gate.(KJV-1611) Pro 24:7 Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:8 ============ Pro 24:8 He that deviseth to do evil shall be called a mischievous person.(KJV-1611) Pro 24:8 Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l' fè sa ki mal, y'ap rele l' malveyan.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:9 ============ Pro 24:9 The thought of foolishness is sin: and the scorner is an abomination to men.(KJV-1611) Pro 24:9 Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:10 ============ Pro 24:10 If thou faint in the day of adversity, thy strength is small.(KJV-1611) Pro 24:10 Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:11 ============ Pro 24:11 If thou forbear to deliver them that are drawn unto death, and those that are ready to be slain;(KJV-1611) Pro 24:11 Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:12 ============ Pro 24:12 If thou sayest, Behold, we knew it not; doth not he that pondereth the heart consider it? and he that keepeth thy soul, doth not he know it? and shall not he render to every man according to his works?(KJV-1611) Pro 24:12 Si ou pran pòz ou pa t' konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:13 ============ Pro 24:13 My son, eat thou honey, because it is good; and the honeycomb, which is sweet to thy taste:(KJV-1611) Pro 24:13 Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule soti nan gato myèl dous nan bouch ou,(Creole-HT) ======= Proverbs 24:14 ============ Pro 24:14 So shall the knowledge of wisdom be unto thy soul: when thou hast found it, then there shall be a reward, and thy expectation shall not be cut off.(KJV-1611) Pro 24:14 se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l' ale.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:15 ============ Pro 24:15 Lay not wait, O wicked man, against the dwelling of the righteous; spoil not his resting place:(KJV-1611) Pro 24:15 Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:16 ============ Pro 24:16 For a just man falleth seven times, and riseth up again: but the wicked shall fall into mischief.(KJV-1611) Pro 24:16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:17 ============ Pro 24:17 Rejoice not when thine enemy falleth, and let not thine heart be glad when he stumbleth:(KJV-1611) Pro 24:17 Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:18 ============ Pro 24:18 Lest the LORD see it, and it displease him, and he turn away his wrath from him.(KJV-1611) Pro 24:18 Seyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l' plezi. Li ka rive pa pini l' poutèt sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:19 ============ Pro 24:19 Fret not thyself because of evil men, neither be thou envious at the wicked:(KJV-1611) Pro 24:19 Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:20 ============ Pro 24:20 For there shall be no reward to the evil man; the candle of the wicked shall be put out.(KJV-1611) Pro 24:20 Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:21 ============ Pro 24:21 My son, fear thou the LORD and the king: and meddle not with them that are given to change:(KJV-1611) Pro 24:21 Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:22 ============ Pro 24:22 For their calamity shall rise suddenly; and who knoweth the ruin of them both?(KJV-1611) Pro 24:22 Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Seyè a osinon wa a ka fè rive sou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:23 ============ Pro 24:23 These things also belong to the wise. It is not good to have respect of persons in judgment.(KJV-1611) Pro 24:23 Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:24 ============ Pro 24:24 He that saith unto the wicked, Thou are righteous; him shall the people curse, nations shall abhor him:(KJV-1611) Pro 24:24 Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l'. Y'ap rayi l' toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:25 ============ Pro 24:25 But to them that rebuke him shall be delight, and a good blessing shall come upon them.(KJV-1611) Pro 24:25 Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l'. Tout zafè l' va mache byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:26 ============ Pro 24:26 Every man shall kiss his lips that giveth a right answer.(KJV-1611) Pro 24:26 Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:27 ============ Pro 24:27 Prepare thy work without, and make it fit for thyself in the field; and afterwards build thine house.(KJV-1611) Pro 24:27 Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:28 ============ Pro 24:28 Be not a witness against thy neighbour without cause; and deceive not with thy lips.(KJV-1611) Pro 24:28 Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:29 ============ Pro 24:29 Say not, I will do so to him as he hath done to me: I will render to the man according to his work.(KJV-1611) Pro 24:29 Pa janm di li fè m', m'ap fè l' tou. M'ap fè l' peye sa li fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:30 ============ Pro 24:30 I went by the field of the slothful, and by the vineyard of the man void of understanding;(KJV-1611) Pro 24:30 Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:31 ============ Pro 24:31 And, lo, it was all grown over with thorns, and nettles had covered the face thereof, and the stone wall thereof was broken down.(KJV-1611) Pro 24:31 Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:32 ============ Pro 24:32 Then I saw, and considered it well: I looked upon it, and received instruction.(KJV-1611) Pro 24:32 Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson.(Creole-HT) ======= Proverbs 24:33 ============ Pro 24:33 Yet a little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to sleep:(KJV-1611) Pro 24:33 Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon!(Creole-HT) ======= Proverbs 24:34 ============ Pro 24:34 So shall thy poverty come as one that travelleth; and thy want as an armed man.(KJV-1611) Pro 24:34 W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:1 ============ Pro 25:1 These are also proverbs of Solomon, which the men of Hezekiah king of Judah copied out.(KJV-1611) Pro 25:1 Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:2 ============ Pro 25:2 It is the glory of God to conceal a thing: but the honour of kings is to search out a matter.(KJV-1611) Pro 25:2 Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:3 ============ Pro 25:3 The heaven for height, and the earth for depth, and the heart of kings is unsearchable.(KJV-1611) Pro 25:3 Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:4 ============ Pro 25:4 Take away the dross from the silver, and there shall come forth a vessel for the finer.(KJV-1611) Pro 25:4 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:5 ============ Pro 25:5 Take away the wicked from before the king, and his throne shall be established in righteousness.(KJV-1611) Pro 25:5 Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:6 ============ Pro 25:6 Put not forth thyself in the presence of the king, and stand not in the place of great men:(KJV-1611) Pro 25:6 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:7 ============ Pro 25:7 For better it is that it be said unto thee, Come up hither; than that thou shouldest be put lower in the presence of the prince whom thine eyes have seen.(KJV-1611) Pro 25:7 Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:8 ============ Pro 25:8 Go not forth hastily to strive, lest thou know not what to do in the end thereof, when thy neighbour hath put thee to shame.(KJV-1611) Pro 25:8 Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?(Creole-HT) ======= Proverbs 25:9 ============ Pro 25:9 Debate thy cause with thy neighbour himself; and discover not a secret to another:(KJV-1611) Pro 25:9 Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:10 ============ Pro 25:10 Lest he that heareth it put thee to shame, and thine infamy turn not away.(KJV-1611) Pro 25:10 Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:11 ============ Pro 25:11 A word fitly spoken is like apples of gold in pictures of silver.(KJV-1611) Pro 25:11 Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:12 ============ Pro 25:12 As an earring of gold, and an ornament of fine gold, so is a wise reprover upon an obedient ear.(KJV-1611) Pro 25:12 Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:13 ============ Pro 25:13 As the cold of snow in the time of harvest, so is a faithful messenger to them that send him: for he refresheth the soul of his masters.(KJV-1611) Pro 25:13 Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:14 ============ Pro 25:14 Whoso boasteth himself of a false gift is like clouds and wind without rain.(KJV-1611) Pro 25:14 Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:15 ============ Pro 25:15 By long forbearing is a prince persuaded, and a soft tongue breaketh the bone.(KJV-1611) Pro 25:15 Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:16 ============ Pro 25:16 Hast thou found honey? eat so much as is sufficient for thee, lest thou be filled therewith, and vomit it.(KJV-1611) Pro 25:16 Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:17 ============ Pro 25:17 Withdraw thy foot from thy neighbour's house; lest he be weary of thee, and so hate thee.(KJV-1611) Pro 25:17 Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l' pa rayi ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:18 ============ Pro 25:18 A man that beareth false witness against his neighbour is a maul, and a sword, and a sharp arrow.(KJV-1611) Pro 25:18 Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:19 ============ Pro 25:19 Confidence in an unfaithful man in time of trouble is like a broken tooth, and a foot out of joint.(KJV-1611) Pro 25:19 Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:20 ============ Pro 25:20 As he that taketh away a garment in cold weather, and as vinegar upon nitre, so is he that singeth songs to an heavy heart.(KJV-1611) Pro 25:20 Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:21 ============ Pro 25:21 If thine enemy be hungry, give him bread to eat; and if he be thirsty, give him water to drink:(KJV-1611) Pro 25:21 Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:22 ============ Pro 25:22 For thou shalt heap coals of fire upon his head, and the LORD shall reward thee.(KJV-1611) Pro 25:22 Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:23 ============ Pro 25:23 The north wind driveth away rain: so doth an angry countenance a backbiting tongue.(KJV-1611) Pro 25:23 Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:24 ============ Pro 25:24 It is better to dwell in the corner of the housetop, than with a brawling woman and in a wide house.(KJV-1611) Pro 25:24 Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:25 ============ Pro 25:25 As cold waters to a thirsty soul, so is good news from a far country.(KJV-1611) Pro 25:25 Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:26 ============ Pro 25:26 A righteous man falling down before the wicked is as a troubled fountain, and a corrupt spring.(KJV-1611) Pro 25:26 Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:27 ============ Pro 25:27 It is not good to eat much honey: so for men to search their own glory is not glory.(KJV-1611) Pro 25:27 Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.(Creole-HT) ======= Proverbs 25:28 ============ Pro 25:28 He that hath no rule over his own spirit is like a city that is broken down, and without walls.(KJV-1611) Pro 25:28 Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l' fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:1 ============ Pro 26:1 As snow in summer, and as rain in harvest, so honour is not seemly for a fool.(KJV-1611) Pro 26:1 Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:2 ============ Pro 26:2 As the bird by wandering, as the swallow by flying, so the curse causeless shall not come.(KJV-1611) Pro 26:2 Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:3 ============ Pro 26:3 A whip for the horse, a bridle for the ass, and a rod for the fool's back.(KJV-1611) Pro 26:3 Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:4 ============ Pro 26:4 Answer not a fool according to his folly, lest thou also be like unto him.(KJV-1611) Pro 26:4 Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:5 ============ Pro 26:5 Answer a fool according to his folly, lest he be wise in his own conceit.(KJV-1611) Pro 26:5 Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:6 ============ Pro 26:6 He that sendeth a message by the hand of a fool cutteth off the feet, and drinketh damage.(KJV-1611) Pro 26:6 Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:7 ============ Pro 26:7 The legs of the lame are not equal: so is a parable in the mouth of fools.(KJV-1611) Pro 26:7 Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:8 ============ Pro 26:8 As he that bindeth a stone in a sling, so is he that giveth honour to a fool.(KJV-1611) Pro 26:8 Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:9 ============ Pro 26:9 As a thorn goeth up into the hand of a drunkard, so is a parable in the mouths of fools.(KJV-1611) Pro 26:9 Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:10 ============ Pro 26:10 The great God that formed all things both rewardeth the fool, and rewardeth transgressors.(KJV-1611) Pro 26:10 Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:11 ============ Pro 26:11 As a dog returneth to his vomit, so a fool returneth to his folly.(KJV-1611) Pro 26:11 Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:12 ============ Pro 26:12 Seest thou a man wise in his own conceit? there is more hope of a fool than of him.(KJV-1611) Pro 26:12 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:13 ============ Pro 26:13 The slothful man saith, There is a lion in the way; a lion is in the streets.(KJV-1611) Pro 26:13 Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:14 ============ Pro 26:14 As the door turneth upon his hinges, so doth the slothful upon his bed.(KJV-1611) Pro 26:14 Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:15 ============ Pro 26:15 The slothful hideth his hand in his bosom; it grieveth him to bring it again to his mouth.(KJV-1611) Pro 26:15 Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:16 ============ Pro 26:16 The sluggard is wiser in his own conceit than seven men that can render a reason.(KJV-1611) Pro 26:16 Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:17 ============ Pro 26:17 He that passeth by, and meddleth with strife belonging not to him, is like one that taketh a dog by the ears.(KJV-1611) Pro 26:17 Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:18 ============ Pro 26:18 As a mad man who casteth firebrands, arrows, and death,(KJV-1611) Pro 26:18 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Proverbs 26:19 ============ Pro 26:19 So is the man that deceiveth his neighbour, and saith, Am not I in sport?(KJV-1611) Pro 26:19 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:20 ============ Pro 26:20 Where no wood is, there the fire goeth out: so where there is no talebearer, the strife ceaseth.(KJV-1611) Pro 26:20 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:21 ============ Pro 26:21 As coals are to burning coals, and wood to fire; so is a contentious man to kindle strife.(KJV-1611) Pro 26:21 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:22 ============ Pro 26:22 The words of a talebearer are as wounds, and they go down into the innermost parts of the belly.(KJV-1611) Pro 26:22 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:23 ============ Pro 26:23 Burning lips and a wicked heart are like a potsherd covered with silver dross.(KJV-1611) Pro 26:23 Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:24 ============ Pro 26:24 He that hateth dissembleth with his lips, and layeth up deceit within him;(KJV-1611) Pro 26:24 Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:25 ============ Pro 26:25 When he speaketh fair, believe him not: for there are seven abominations in his heart.(KJV-1611) Pro 26:25 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:26 ============ Pro 26:26 Whose hatred is covered by deceit, his wickedness shall be shewed before the whole congregation.(KJV-1611) Pro 26:26 Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:27 ============ Pro 26:27 Whoso diggeth a pit shall fall therein: and he that rolleth a stone, it will return upon him.(KJV-1611) Pro 26:27 Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.(Creole-HT) ======= Proverbs 26:28 ============ Pro 26:28 A lying tongue hateth those that are afflicted by it; and a flattering mouth worketh ruin.(KJV-1611) Pro 26:28 Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:1 ============ Pro 27:1 Boast not thyself of to morrow; for thou knowest not what a day may bring forth.(KJV-1611) Pro 27:1 Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:2 ============ Pro 27:2 Let another man praise thee, and not thine own mouth; a stranger, and not thine own lips.(KJV-1611) Pro 27:2 Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:3 ============ Pro 27:3 A stone is heavy, and the sand weighty; but a fool's wrath is heavier than them both.(KJV-1611) Pro 27:3 Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:4 ============ Pro 27:4 Wrath is cruel, and anger is outrageous; but who is able to stand before envy?(KJV-1611) Pro 27:4 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?(Creole-HT) ======= Proverbs 27:5 ============ Pro 27:5 Open rebuke is better than secret love.(KJV-1611) Pro 27:5 Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:6 ============ Pro 27:6 Faithful are the wounds of a friend; but the kisses of an enemy are deceitful.(KJV-1611) Pro 27:6 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:7 ============ Pro 27:7 The full soul loatheth an honeycomb; but to the hungry soul every bitter thing is sweet.(KJV-1611) Pro 27:7 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:8 ============ Pro 27:8 As a bird that wandereth from her nest, so is a man that wandereth from his place.(KJV-1611) Pro 27:8 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:9 ============ Pro 27:9 Ointment and perfume rejoice the heart: so doth the sweetness of a man's friend by hearty counsel.(KJV-1611) Pro 27:9 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:10 ============ Pro 27:10 Thine own friend, and thy father's friend, forsake not; neither go into thy brother's house in the day of thy calamity: for better is a neighbour that is near than a brother far off.(KJV-1611) Pro 27:10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:11 ============ Pro 27:11 My son, be wise, and make my heart glad, that I may answer him that reproacheth me.(KJV-1611) Pro 27:11 Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:12 ============ Pro 27:12 A prudent man foreseeth the evil, and hideth himself; but the simple pass on, and are punished.(KJV-1611) Pro 27:12 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:13 ============ Pro 27:13 Take his garment that is surety for a stranger, and take a pledge of him for a strange woman.(KJV-1611) Pro 27:13 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:14 ============ Pro 27:14 He that blesseth his friend with a loud voice, rising early in the morning, it shall be counted a curse to him.(KJV-1611) Pro 27:14 Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:15 ============ Pro 27:15 A continual dropping in a very rainy day and a contentious woman are alike.(KJV-1611) Pro 27:15 Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:16 ============ Pro 27:16 Whosoever hideth her hideth the wind, and the ointment of his right hand, which bewrayeth itself.(KJV-1611) Pro 27:16 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou!(Creole-HT) ======= Proverbs 27:17 ============ Pro 27:17 Iron sharpeneth iron; so a man sharpeneth the countenance of his friend.(KJV-1611) Pro 27:17 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:18 ============ Pro 27:18 Whoso keepeth the fig tree shall eat the fruit thereof: so he that waiteth on his master shall be honoured.(KJV-1611) Pro 27:18 Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:19 ============ Pro 27:19 As in water face answereth to face, so the heart of man to man.(KJV-1611) Pro 27:19 Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:20 ============ Pro 27:20 Hell and destruction are never full; so the eyes of man are never satisfied.(KJV-1611) Pro 27:20 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:21 ============ Pro 27:21 As the fining pot for silver, and the furnace for gold; so is a man to his praise.(KJV-1611) Pro 27:21 Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:22 ============ Pro 27:22 Though thou shouldest bray a fool in a mortar among wheat with a pestle, yet will not his foolishness depart from him.(KJV-1611) Pro 27:22 Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:23 ============ Pro 27:23 Be thou diligent to know the state of thy flocks, and look well to thy herds.(KJV-1611) Pro 27:23 Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:24 ============ Pro 27:24 For riches are not for ever: and doth the crown endure to every generation?(KJV-1611) Pro 27:24 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:25 ============ Pro 27:25 The hay appeareth, and the tender grass sheweth itself, and herbs of the mountains are gathered.(KJV-1611) Pro 27:25 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:26 ============ Pro 27:26 The lambs are for thy clothing, and the goats are the price of the field.(KJV-1611) Pro 27:26 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.(Creole-HT) ======= Proverbs 27:27 ============ Pro 27:27 And thou shalt have goats' milk enough for thy food, for the food of thy household, and for the maintenance for thy maidens.(KJV-1611) Pro 27:27 W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:1 ============ Pro 28:1 The wicked flee when no man pursueth: but the righteous are bold as a lion.(KJV-1611) Pro 28:1 Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:2 ============ Pro 28:2 For the transgression of a land many are the princes thereof: but by a man of understanding and knowledge the state thereof shall be prolonged.(KJV-1611) Pro 28:2 Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:3 ============ Pro 28:3 A poor man that oppresseth the poor is like a sweeping rain which leaveth no food.(KJV-1611) Pro 28:3 Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:4 ============ Pro 28:4 They that forsake the law praise the wicked: but such as keep the law contend with them.(KJV-1611) Pro 28:4 Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:5 ============ Pro 28:5 Evil men understand not judgment: but they that seek the LORD understand all things.(KJV-1611) Pro 28:5 Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:6 ============ Pro 28:6 Better is the poor that walketh in his uprightness, than he that is perverse in his ways, though he be rich.(KJV-1611) Pro 28:6 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:7 ============ Pro 28:7 Whoso keepeth the law is a wise son: but he that is a companion of riotous men shameth his father.(KJV-1611) Pro 28:7 Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:8 ============ Pro 28:8 He that by usury and unjust gain increaseth his substance, he shall gather it for him that will pity the poor.(KJV-1611) Pro 28:8 Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:9 ============ Pro 28:9 He that turneth away his ear from hearing the law, even his prayer shall be abomination.(KJV-1611) Pro 28:9 Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:10 ============ Pro 28:10 Whoso causeth the righteous to go astray in an evil way, he shall fall himself into his own pit: but the upright shall have good things in possession.(KJV-1611) Pro 28:10 Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:11 ============ Pro 28:11 The rich man is wise in his own conceit; but the poor that hath understanding searcheth him out.(KJV-1611) Pro 28:11 Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:12 ============ Pro 28:12 When righteous men do rejoice, there is great glory: but when the wicked rise, a man is hidden.(KJV-1611) Pro 28:12 Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:13 ============ Pro 28:13 He that covereth his sins shall not prosper: but whoso confesseth and forsaketh them shall have mercy.(KJV-1611) Pro 28:13 Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:14 ============ Pro 28:14 Happy is the man that feareth alway: but he that hardeneth his heart shall fall into mischief.(KJV-1611) Pro 28:14 Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:15 ============ Pro 28:15 As a roaring lion, and a ranging bear; so is a wicked ruler over the poor people.(KJV-1611) Pro 28:15 Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:16 ============ Pro 28:16 The prince that wanteth understanding is also a great oppressor: but he that hateth covetousness shall prolong his days.(KJV-1611) Pro 28:16 Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:17 ============ Pro 28:17 A man that doeth violence to the blood of any person shall flee to the pit; let no man stay him.(KJV-1611) Pro 28:17 Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:18 ============ Pro 28:18 Whoso walketh uprightly shall be saved: but he that is perverse in his ways shall fall at once.(KJV-1611) Pro 28:18 Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:19 ============ Pro 28:19 He that tilleth his land shall have plenty of bread: but he that followeth after vain persons shall have poverty enough.(KJV-1611) Pro 28:19 Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:20 ============ Pro 28:20 A faithful man shall abound with blessings: but he that maketh haste to be rich shall not be innocent.(KJV-1611) Pro 28:20 Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:21 ============ Pro 28:21 To have respect of persons is not good: for for a piece of bread that man will transgress.(KJV-1611) Pro 28:21 Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:22 ============ Pro 28:22 He that hasteth to be rich hath an evil eye, and considereth not that poverty shall come upon him.(KJV-1611) Pro 28:22 Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:23 ============ Pro 28:23 He that rebuketh a man afterwards shall find more favour than he that flattereth with the tongue.(KJV-1611) Pro 28:23 Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:24 ============ Pro 28:24 Whoso robbeth his father or his mother, and saith, It is no transgression; the same is the companion of a destroyer.(KJV-1611) Pro 28:24 Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:25 ============ Pro 28:25 He that is of a proud heart stirreth up strife: but he that putteth his trust in the LORD shall be made fat.(KJV-1611) Pro 28:25 Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:26 ============ Pro 28:26 He that trusteth in his own heart is a fool: but whoso walketh wisely, he shall be delivered.(KJV-1611) Pro 28:26 Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:27 ============ Pro 28:27 He that giveth unto the poor shall not lack: but he that hideth his eyes shall have many a curse.(KJV-1611) Pro 28:27 Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.(Creole-HT) ======= Proverbs 28:28 ============ Pro 28:28 When the wicked rise, men hide themselves: but when they perish, the righteous increase.(KJV-1611) Pro 28:28 Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:1 ============ Pro 29:1 He, that being often reproved hardeneth his neck, shall suddenly be destroyed, and that without remedy.(KJV-1611) Pro 29:1 Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:2 ============ Pro 29:2 When the righteous are in authority, the people rejoice: but when the wicked beareth rule, the people mourn.(KJV-1611) Pro 29:2 Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:3 ============ Pro 29:3 Whoso loveth wisdom rejoiceth his father: but he that keepeth company with harlots spendeth his substance.(KJV-1611) Pro 29:3 W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:4 ============ Pro 29:4 The king by judgment establisheth the land: but he that receiveth gifts overthroweth it.(KJV-1611) Pro 29:4 Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:5 ============ Pro 29:5 A man that flattereth his neighbour spreadeth a net for his feet.(KJV-1611) Pro 29:5 Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:6 ============ Pro 29:6 In the transgression of an evil man there is a snare: but the righteous doth sing and rejoice.(KJV-1611) Pro 29:6 Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:7 ============ Pro 29:7 The righteous considereth the cause of the poor: but the wicked regardeth not to know it.(KJV-1611) Pro 29:7 Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:8 ============ Pro 29:8 Scornful men bring a city into a snare: but wise men turn away wrath.(KJV-1611) Pro 29:8 Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:9 ============ Pro 29:9 If a wise man contendeth with a foolish man, whether he rage or laugh, there is no rest.(KJV-1611) Pro 29:9 Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:10 ============ Pro 29:10 The bloodthirsty hate the upright: but the just seek his soul.(KJV-1611) Pro 29:10 Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:11 ============ Pro 29:11 A fool uttereth all his mind: but a wise man keepeth it in till afterwards.(KJV-1611) Pro 29:11 Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:12 ============ Pro 29:12 If a ruler hearken to lies, all his servants are wicked.(KJV-1611) Pro 29:12 Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:13 ============ Pro 29:13 The poor and the deceitful man meet together: the LORD lighteneth both their eyes.(KJV-1611) Pro 29:13 Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:14 ============ Pro 29:14 The king that faithfully judgeth the poor, his throne shall be established for ever.(KJV-1611) Pro 29:14 Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:15 ============ Pro 29:15 The rod and reproof give wisdom: but a child left to himself bringeth his mother to shame.(KJV-1611) Pro 29:15 Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:16 ============ Pro 29:16 When the wicked are multiplied, transgression increaseth: but the righteous shall see their fall.(KJV-1611) Pro 29:16 Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:17 ============ Pro 29:17 Correct thy son, and he shall give thee rest; yea, he shall give delight unto thy soul.(KJV-1611) Pro 29:17 Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:18 ============ Pro 29:18 Where there is no vision, the people perish: but he that keepeth the law, happy is he.(KJV-1611) Pro 29:18 Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!(Creole-HT) ======= Proverbs 29:19 ============ Pro 29:19 A servant will not be corrected by words: for though he understand he will not answer.(KJV-1611) Pro 29:19 Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:20 ============ Pro 29:20 Seest thou a man that is hasty in his words? there is more hope of a fool than of him.(KJV-1611) Pro 29:20 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:21 ============ Pro 29:21 He that delicately bringeth up his servant from a child shall have him become his son at the length.(KJV-1611) Pro 29:21 Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:22 ============ Pro 29:22 An angry man stirreth up strife, and a furious man aboundeth in transgression.(KJV-1611) Pro 29:22 Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:23 ============ Pro 29:23 A man's pride shall bring him low: but honour shall uphold the humble in spirit.(KJV-1611) Pro 29:23 Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:24 ============ Pro 29:24 Whoso is partner with a thief hateth his own soul: he heareth cursing, and bewrayeth it not.(KJV-1611) Pro 29:24 Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:25 ============ Pro 29:25 The fear of man bringeth a snare: but whoso putteth his trust in the LORD shall be safe.(KJV-1611) Pro 29:25 Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:26 ============ Pro 29:26 Many seek the ruler's favour; but every man's judgment cometh from the LORD.(KJV-1611) Pro 29:26 Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.(Creole-HT) ======= Proverbs 29:27 ============ Pro 29:27 An unjust man is an abomination to the just: and he that is upright in the way is abomination to the wicked.(KJV-1611) Pro 29:27 Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:1 ============ Pro 30:1 The words of Agur the son of Jakeh, even the prophecy: the man spake unto Ithiel, even unto Ithiel and Ucal,(KJV-1611) Pro 30:1 Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò!(Creole-HT) ======= Proverbs 30:2 ============ Pro 30:2 Surely I am more brutish than any man, and have not the understanding of a man.(KJV-1611) Pro 30:2 Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:3 ============ Pro 30:3 I neither learned wisdom, nor have the knowledge of the holy.(KJV-1611) Pro 30:3 Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:4 ============ Pro 30:4 Who hath ascended up into heaven, or descended? who hath gathered the wind in his fists? who hath bound the waters in a garment? who hath established all the ends of the earth? what is his name, and what is his son's name, if thou canst tell?(KJV-1611) Pro 30:4 Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?(Creole-HT) ======= Proverbs 30:5 ============ Pro 30:5 Every word of God is pure: he is a shield unto them that put their trust in him.(KJV-1611) Pro 30:5 Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:6 ============ Pro 30:6 Add thou not unto his words, lest he reprove thee, and thou be found a liar.(KJV-1611) Pro 30:6 Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:7 ============ Pro 30:7 Two things have I required of thee; deny me them not before I die:(KJV-1611) Pro 30:7 Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:8 ============ Pro 30:8 Remove far from me vanity and lies: give me neither poverty nor riches; feed me with food convenient for me:(KJV-1611) Pro 30:8 Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:9 ============ Pro 30:9 Lest I be full, and deny thee, and say, Who is the LORD? or lest I be poor, and steal, and take the name of my God in vain.(KJV-1611) Pro 30:9 Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:10 ============ Pro 30:10 Accuse not a servant unto his master, lest he curse thee, and thou be found guilty.(KJV-1611) Pro 30:10 Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:11 ============ Pro 30:11 There is a generation that curseth their father, and doth not bless their mother.(KJV-1611) Pro 30:11 Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:12 ============ Pro 30:12 There is a generation that are pure in their own eyes, and yet is not washed from their filthiness.(KJV-1611) Pro 30:12 Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:13 ============ Pro 30:13 There is a generation, O how lofty are their eyes! and their eyelids are lifted up.(KJV-1611) Pro 30:13 Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:14 ============ Pro 30:14 There is a generation, whose teeth are as swords, and their jaw teeth as knives, to devour the poor from off the earth, and the needy from among men.(KJV-1611) Pro 30:14 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:15 ============ Pro 30:15 The horseleach hath two daughters, crying, Give, give. There are three things that are never satisfied, yea, four things say not, It is enough:(KJV-1611) Pro 30:15 Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:16 ============ Pro 30:16 The grave; and the barren womb; the earth that is not filled with water; and the fire that saith not, It is enough.(KJV-1611) Pro 30:16 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:17 ============ Pro 30:17 The eye that mocketh at his father, and despiseth to obey his mother, the ravens of the valley shall pick it out, and the young eagles shall eat it.(KJV-1611) Pro 30:17 Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:18 ============ Pro 30:18 There be three things which are too wonderful for me, yea, four which I know not:(KJV-1611) Pro 30:18 Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:19 ============ Pro 30:19 The way of an eagle in the air; the way of a serpent upon a rock; the way of a ship in the midst of the sea; and the way of a man with a maid.(KJV-1611) Pro 30:19 Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:20 ============ Pro 30:20 Such is the way of an adulterous woman; she eateth, and wipeth her mouth, and saith, I have done no wickedness.(KJV-1611) Pro 30:20 Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:21 ============ Pro 30:21 For three things the earth is disquieted, and for four which it cannot bear:(KJV-1611) Pro 30:21 Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:22 ============ Pro 30:22 For a servant when he reigneth; and a fool when he is filled with meat;(KJV-1611) Pro 30:22 Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen,(Creole-HT) ======= Proverbs 30:23 ============ Pro 30:23 For an odious woman when she is married; and an handmaid that is heir to her mistress.(KJV-1611) Pro 30:23 se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:24 ============ Pro 30:24 There be four things which are little upon the earth, but they are exceeding wise:(KJV-1611) Pro 30:24 Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen:(Creole-HT) ======= Proverbs 30:25 ============ Pro 30:25 The ants are a people not strong, yet they prepare their meat in the summer;(KJV-1611) Pro 30:25 Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:26 ============ Pro 30:26 The conies are but a feeble folk, yet make they their houses in the rocks;(KJV-1611) Pro 30:26 Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:27 ============ Pro 30:27 The locusts have no king, yet go they forth all of them by bands;(KJV-1611) Pro 30:27 Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:28 ============ Pro 30:28 The spider taketh hold with her hands, and is in kings' palaces.(KJV-1611) Pro 30:28 Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:29 ============ Pro 30:29 There be three things which go well, yea, four are comely in going:(KJV-1611) Pro 30:29 Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:(Creole-HT) ======= Proverbs 30:30 ============ Pro 30:30 A lion which is strongest among beasts, and turneth not away for any;(KJV-1611) Pro 30:30 Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:31 ============ Pro 30:31 A greyhound; an he goat also; and a king, against whom there is no rising up.(KJV-1611) Pro 30:31 Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 30:32 ============ Pro 30:32 If thou hast done foolishly in lifting up thyself, or if thou hast thought evil, lay thine hand upon thy mouth.(KJV-1611) Pro 30:32 Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!(Creole-HT) ======= Proverbs 30:33 ============ Pro 30:33 Surely the churning of milk bringeth forth butter, and the wringing of the nose bringeth forth blood: so the forcing of wrath bringeth forth strife.(KJV-1611) Pro 30:33 Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:1 ============ Pro 31:1 The words of king Lemuel, the prophecy that his mother taught him.(KJV-1611) Pro 31:1 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:(Creole-HT) ======= Proverbs 31:2 ============ Pro 31:2 What, my son? and what, the son of my womb? and what, the son of my vows?(KJV-1611) Pro 31:2 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?(Creole-HT) ======= Proverbs 31:3 ============ Pro 31:3 Give not thy strength unto women, nor thy ways to that which destroyeth kings.(KJV-1611) Pro 31:3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:4 ============ Pro 31:4 It is not for kings, O Lemuel, it is not for kings to drink wine; nor for princes strong drink:(KJV-1611) Pro 31:4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:5 ============ Pro 31:5 Lest they drink, and forget the law, and pervert the judgment of any of the afflicted.(KJV-1611) Pro 31:5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:6 ============ Pro 31:6 Give strong drink unto him that is ready to perish, and wine unto those that be of heavy hearts.(KJV-1611) Pro 31:6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:7 ============ Pro 31:7 Let him drink, and forget his poverty, and remember his misery no more.(KJV-1611) Pro 31:7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:8 ============ Pro 31:8 Open thy mouth for the dumb in the cause of all such as are appointed to destruction.(KJV-1611) Pro 31:8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:9 ============ Pro 31:9 Open thy mouth, judge righteously, and plead the cause of the poor and needy.(KJV-1611) Pro 31:9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:10 ============ Pro 31:10 Who can find a virtuous woman? for her price is far above rubies.(KJV-1611) Pro 31:10 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:11 ============ Pro 31:11 The heart of her husband doth safely trust in her, so that he shall have no need of spoil.(KJV-1611) Pro 31:11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:12 ============ Pro 31:12 She will do him good and not evil all the days of her life.(KJV-1611) Pro 31:12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:13 ============ Pro 31:13 She seeketh wool, and flax, and worketh willingly with her hands.(KJV-1611) Pro 31:13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:14 ============ Pro 31:14 She is like the merchants' ships; she bringeth her food from afar.(KJV-1611) Pro 31:14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:15 ============ Pro 31:15 She riseth also while it is yet night, and giveth meat to her household, and a portion to her maidens.(KJV-1611) Pro 31:15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:16 ============ Pro 31:16 She considereth a field, and buyeth it: with the fruit of her hands she planteth a vineyard.(KJV-1611) Pro 31:16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:17 ============ Pro 31:17 She girdeth her loins with strength, and strengtheneth her arms.(KJV-1611) Pro 31:17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:18 ============ Pro 31:18 She perceiveth that her merchandise is good: her candle goeth not out by night.(KJV-1611) Pro 31:18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:19 ============ Pro 31:19 She layeth her hands to the spindle, and her hands hold the distaff.(KJV-1611) Pro 31:19 Li file koton, li koud rad li.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:20 ============ Pro 31:20 She stretcheth out her hand to the poor; yea, she reacheth forth her hands to the needy.(KJV-1611) Pro 31:20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:21 ============ Pro 31:21 She is not afraid of the snow for her household: for all her household are clothed with scarlet.(KJV-1611) Pro 31:21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:22 ============ Pro 31:22 She maketh herself coverings of tapestry; her clothing is silk and purple.(KJV-1611) Pro 31:22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:23 ============ Pro 31:23 Her husband is known in the gates, when he sitteth among the elders of the land.(KJV-1611) Pro 31:23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:24 ============ Pro 31:24 She maketh fine linen, and selleth it; and delivereth girdles unto the merchant.(KJV-1611) Pro 31:24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:25 ============ Pro 31:25 Strength and honour are her clothing; and she shall rejoice in time to come.(KJV-1611) Pro 31:25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:26 ============ Pro 31:26 She openeth her mouth with wisdom; and in her tongue is the law of kindness.(KJV-1611) Pro 31:26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:27 ============ Pro 31:27 She looketh well to the ways of her household, and eateth not the bread of idleness.(KJV-1611) Pro 31:27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:28 ============ Pro 31:28 Her children arise up, and call her blessed; her husband also, and he praiseth her.(KJV-1611) Pro 31:28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:29 ============ Pro 31:29 Many daughters have done virtuously, but thou excellest them all.(KJV-1611) Pro 31:29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!(Creole-HT) ======= Proverbs 31:30 ============ Pro 31:30 Favour is deceitful, and beauty is vain: but a woman that feareth the LORD, she shall be praised.(KJV-1611) Pro 31:30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Proverbs 31:31 ============ Pro 31:31 Give her of the fruit of her hands; and let her own works praise her in the gates.(KJV-1611) Pro 31:31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:1 ============ Ecc 1:1 The words of the Preacher, the son of David, king in Jerusalem.(KJV-1611) Ecl 1:1 Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:2 ============ Ecc 1:2 Vanity of vanities, saith the Preacher, vanity of vanities; all is vanity.(KJV-1611) Ecl 1:2 Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:3 ============ Ecc 1:3 What profit hath a man of all his labour which he taketh under the sun?(KJV-1611) Ecl 1:3 Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:4 ============ Ecc 1:4 One generation passeth away, and another generation cometh: but the earth abideth for ever.(KJV-1611) Ecl 1:4 Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:5 ============ Ecc 1:5 The sun also ariseth, and the sun goeth down, and hasteth to his place where he arose.(KJV-1611) Ecl 1:5 Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l' leve a ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:6 ============ Ecc 1:6 The wind goeth toward the south, and turneth about unto the north; it whirleth about continually, and the wind returneth again according to his circuits.(KJV-1611) Ecl 1:6 Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:7 ============ Ecc 1:7 All the rivers run into the sea; yet the sea is not full; unto the place from whence the rivers come, thither they return again.(KJV-1611) Ecl 1:7 Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:8 ============ Ecc 1:8 All things are full of labour; man cannot utter it: the eye is not satisfied with seeing, nor the ear filled with hearing.(KJV-1611) Ecl 1:8 Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:9 ============ Ecc 1:9 The thing that hath been, it is that which shall be; and that which is done is that which shall be done: and there is no new thing under the sun.(KJV-1611) Ecl 1:9 Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:10 ============ Ecc 1:10 Is there any thing whereof it may be said, See, this is new? it hath been already of old time, which was before us.(KJV-1611) Ecl 1:10 Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:11 ============ Ecc 1:11 There is no remembrance of former things; neither shall there be any remembrance of things that are to come with those that shall come after.(KJV-1611) Ecl 1:11 Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:12 ============ Ecc 1:12 I the Preacher was king over Israel in Jerusalem.(KJV-1611) Ecl 1:12 Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:13 ============ Ecc 1:13 And I gave my heart to seek and search out by wisdom concerning all things that are done under heaven: this sore travail hath God given to the sons of man to be exercised therewith.(KJV-1611) Ecl 1:13 Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:14 ============ Ecc 1:14 I have seen all the works that are done under the sun; and, behold, all is vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 1:14 Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:15 ============ Ecc 1:15 That which is crooked cannot be made straight: and that which is wanting cannot be numbered.(KJV-1611) Ecl 1:15 Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:16 ============ Ecc 1:16 I communed with mine own heart, saying, Lo, I am come to great estate, and have gotten more wisdom than all they that have been before me in Jerusalem: yea, my heart had great experience of wisdom and knowledge.(KJV-1611) Ecl 1:16 Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:17 ============ Ecc 1:17 And I gave my heart to know wisdom, and to know madness and folly: I perceived that this also is vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 1:17 Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 1:18 ============ Ecc 1:18 For in much wisdom is much grief: and he that increaseth knowledge increaseth sorrow.(KJV-1611) Ecl 1:18 Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:1 ============ Ecc 2:1 I said in mine heart, Go to now, I will prove thee with mirth, therefore enjoy pleasure: and, behold, this also is vanity.(KJV-1611) Ecl 2:1 Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen!(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:2 ============ Ecc 2:2 I said of laughter, It is mad: and of mirth, What doeth it?(KJV-1611) Ecl 2:2 Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen!(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:3 ============ Ecc 2:3 I sought in mine heart to give myself unto wine, yet acquainting mine heart with wisdom; and to lay hold on folly, till I might see what was that good for the sons of men, which they should do under the heaven all the days of their life.(KJV-1611) Ecl 2:3 Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m' nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m': Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:4 ============ Ecc 2:4 I made me great works; I builded me houses; I planted me vineyards:(KJV-1611) Ecl 2:4 Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:5 ============ Ecc 2:5 I made me gardens and orchards, and I planted trees in them of all kind of fruits:(KJV-1611) Ecl 2:5 Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:6 ============ Ecc 2:6 I made me pools of water, to water therewith the wood that bringeth forth trees:(KJV-1611) Ecl 2:6 Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:7 ============ Ecc 2:7 I got me servants and maidens, and had servants born in my house; also I had great possessions of great and small cattle above all that were in Jerusalem before me:(KJV-1611) Ecl 2:7 Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:8 ============ Ecc 2:8 I gathered me also silver and gold, and the peculiar treasure of kings and of the provinces: I gat me men singers and women singers, and the delights of the sons of men, as musical instruments, and that of all sorts.(KJV-1611) Ecl 2:8 Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:9 ============ Ecc 2:9 So I was great, and increased more than all that were before me in Jerusalem: also my wisdom remained with me.(KJV-1611) Ecl 2:9 Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:10 ============ Ecc 2:10 And whatsoever mine eyes desired I kept not from them, I withheld not my heart from any joy; for my heart rejoiced in all my labour: and this was my portion of all my labour.(KJV-1611) Ecl 2:10 Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:11 ============ Ecc 2:11 Then I looked on all the works that my hands had wrought, and on the labour that I had laboured to do: and, behold, all was vanity and vexation of spirit, and there was no profit under the sun.(KJV-1611) Ecl 2:11 Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:12 ============ Ecc 2:12 And I turned myself to behold wisdom, and madness, and folly: for what can the man do that cometh after the king? even that which hath been already done.(KJV-1611) Ecl 2:12 Lè ou gade byen, kisa yon wa ka fè pase sa wa ki te anvan l' yo te fè? Apre sa, mwen pran kalkile sa sa vle di lè yon moun gen konprann, osinon lè yon moun sòt, ou ankò lè yon moun fou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:13 ============ Ecc 2:13 Then I saw that wisdom excelleth folly, as far as light excelleth darkness.(KJV-1611) Ecl 2:13 Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, pito ou gen konprann pase ou pa genyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:14 ============ Ecc 2:14 The wise man's eyes are in his head; but the fool walketh in darkness: and I myself perceived also that one event happeneth to them all.(KJV-1611) Ecl 2:14 Moun ki gen konprann yo, se pa je pete klere yo ye. Moun ki pa gen konprann yo ap mache nan fènwa. Men, mwen konnen tou de ap fini menm jan.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:15 ============ Ecc 2:15 Then said I in my heart, As it happeneth to the fool, so it happeneth even to me; and why was I then more wise? Then I said in my heart, that this also is vanity.(KJV-1611) Ecl 2:15 Mwen di nan kè mwen: Sa ki rive moun fou yo ap rive m' tou. Nan kondisyon sa a, sa m' te bezwen gen tout konprann sa yo? Kisa sa ap pwofite m'? Mwen di nan kè m': Sa a tou, sa pa vo anyen!(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:16 ============ Ecc 2:16 For there is no remembrance of the wise more than of the fool for ever; seeing that which now is in the days to come shall all be forgotten. And how dieth the wise man? as the fool.(KJV-1611) Ecl 2:16 Pesonn p'ap janm chonje moun ki gen konprann yo ni tou yo p'ap chonje moun sòt yo. Pi devan, n'ap bliye yo tout. Nou tout gen pou mouri, kit nou gen bon konprann kit nou sòt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:17 ============ Ecc 2:17 Therefore I hated life; because the work that is wrought under the sun is grievous unto me: for all is vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 2:17 Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:18 ============ Ecc 2:18 Yea, I hated all my labour which I had taken under the sun: because I should leave it unto the man that shall be after me.(KJV-1611) Ecl 2:18 Tout travay mwen te fè sou latè pa di m' anyen ankò, paske mwen konnen mwen gen pou m' kite yo pou sa k'ap vin dèyè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:19 ============ Ecc 2:19 And who knoweth whether he shall be a wise man or a fool? yet shall he have rule over all my labour wherein I have laboured, and wherein I have shewed myself wise under the sun. This is also vanity.(KJV-1611) Ecl 2:19 Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:20 ============ Ecc 2:20 Therefore I went about to cause my heart to despair of all the labour which I took under the sun.(KJV-1611) Ecl 2:20 Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:21 ============ Ecc 2:21 For there is a man whose labour is in wisdom, and in knowledge, and in equity; yet to a man that hath not laboured therein shall he leave it for his portion. This also is vanity and a great evil.(KJV-1611) Ecl 2:21 Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:22 ============ Ecc 2:22 For what hath man of all his labour, and of the vexation of his heart, wherein he hath laboured under the sun?(KJV-1611) Ecl 2:22 Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:23 ============ Ecc 2:23 For all his days are sorrows, and his travail grief; yea, his heart taketh not rest in the night. This is also vanity.(KJV-1611) Ecl 2:23 Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:24 ============ Ecc 2:24 There is nothing better for a man, than that he should eat and drink, and that he should make his soul enjoy good in his labour. This also I saw, that it was from the hand of God.(KJV-1611) Ecl 2:24 Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:25 ============ Ecc 2:25 For who can eat, or who else can hasten hereunto, more than I?(KJV-1611) Ecl 2:25 Paske, san Bondye, ki moun ki ka manje? Ki moun ki ka bwè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 2:26 ============ Ecc 2:26 For God giveth to a man that is good in his sight wisdom, and knowledge, and joy: but to the sinner he giveth travail, to gather and to heap up, that he may give to him that is good before God. This also is vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 2:26 Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:1 ============ Ecc 3:1 To every thing there is a season, and a time to every purpose under the heaven:(KJV-1611) Ecl 3:1 Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fèt sou latè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:2 ============ Ecc 3:2 A time to be born, and a time to die; a time to plant, and a time to pluck up that which is planted;(KJV-1611) Ecl 3:2 Li fikse lè pou ou fèt, lè pou ou mouri, lè pou ou plante, lè pou ou rekòlte,(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:3 ============ Ecc 3:3 A time to kill, and a time to heal; a time to break down, and a time to build up;(KJV-1611) Ecl 3:3 lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:4 ============ Ecc 3:4 A time to weep, and a time to laugh; a time to mourn, and a time to dance;(KJV-1611) Ecl 3:4 Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt,(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:5 ============ Ecc 3:5 A time to cast away stones, and a time to gather stones together; a time to embrace, and a time to refrain from embracing;(KJV-1611) Ecl 3:5 lè pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li, lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:6 ============ Ecc 3:6 A time to get, and a time to lose; a time to keep, and a time to cast away;(KJV-1611) Ecl 3:6 Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan,(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:7 ============ Ecc 3:7 A time to rend, and a time to sew; a time to keep silence, and a time to speak;(KJV-1611) Ecl 3:7 lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:8 ============ Ecc 3:8 A time to love, and a time to hate; a time of war, and a time of peace.(KJV-1611) Ecl 3:8 Li fikse lè pou ou renmen, lè pou ou rayi, lè pou nou fè lagè, lè pou nou fè lapè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:9 ============ Ecc 3:9 What profit hath he that worketh in that wherein he laboureth?(KJV-1611) Ecl 3:9 Kisa yon nonm jwenn nan travay li?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:10 ============ Ecc 3:10 I have seen the travail, which God hath given to the sons of men to be exercised in it.(KJV-1611) Ecl 3:10 Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:11 ============ Ecc 3:11 He hath made every thing beautiful in his time: also he hath set the world in their heart, so that no man can find out the work that God maketh from the beginning to the end.(KJV-1611) Ecl 3:11 Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:12 ============ Ecc 3:12 I know that there is no good in them, but for a man to rejoice, and to do good in his life.(KJV-1611) Ecl 3:12 Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:13 ============ Ecc 3:13 And also that every man should eat and drink, and enjoy the good of all his labour, it is the gift of God.(KJV-1611) Ecl 3:13 Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:14 ============ Ecc 3:14 I know that, whatsoever God doeth, it shall be for ever: nothing can be put to it, nor any thing taken from it: and God doeth it, that men should fear before him.(KJV-1611) Ecl 3:14 Mwen konnen tou sa Bondye fè la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ou pa ka wete anyen ladan l'. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:15 ============ Ecc 3:15 That which hath been is now; and that which is to be hath already been; and God requireth that which is past.(KJV-1611) Ecl 3:15 Sa ki rive koulye a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè bagay ki te rive deja rive ankò!(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:16 ============ Ecc 3:16 And moreover I saw under the sun the place of judgment, that wickedness was there; and the place of righteousness, that iniquity was there.(KJV-1611) Ecl 3:16 Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:17 ============ Ecc 3:17 I said in mine heart, God shall judge the righteous and the wicked: for there is a time there for every purpose and for every work.(KJV-1611) Ecl 3:17 Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon yo ni mechan yo, paske chak bagay gen lè pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:18 ============ Ecc 3:18 I said in mine heart concerning the estate of the sons of men, that God might manifest them, and that they might see that they themselves are beasts.(KJV-1611) Ecl 3:18 Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:19 ============ Ecc 3:19 For that which befalleth the sons of men befalleth beasts; even one thing befalleth them: as the one dieth, so dieth the other; yea, they have all one breath; so that a man hath no preeminence above a beast: for all is vanity.(KJV-1611) Ecl 3:19 Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay la. Ni yonn ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la k'ap bat nan tou de. Moun pa gen ankenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:20 ============ Ecc 3:20 All go unto one place; all are of the dust, and all turn to dust again.(KJV-1611) Ecl 3:20 Tou de pral menm kote Tou de soti nan pousyè tè a. Tou de ap tounen pousyè tè a ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:21 ============ Ecc 3:21 Who knoweth the spirit of man that goeth upward, and the spirit of the beast that goeth downward to the earth?(KJV-1611) Ecl 3:21 Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 3:22 ============ Ecc 3:22 Wherefore I perceive that there is nothing better, than that a man should rejoice in his own works; for that is his portion: for who shall bring him to see what shall be after him?(KJV-1611) Ecl 3:22 Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l'. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l' tounen pou l' ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:1 ============ Ecc 4:1 So I returned, and considered all the oppressions that are done under the sun: and behold the tears of such as were oppressed, and they had no comforter; and on the side of their oppressors there was power; but they had no comforter.(KJV-1611) Ecl 4:1 Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:2 ============ Ecc 4:2 Wherefore I praised the dead which are already dead more than the living which are yet alive.(KJV-1611) Ecl 4:2 Mwen wè sò moun mouri yo miyò pase sò moun vivan yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:3 ============ Ecc 4:3 Yea, better is he than both they, which hath not yet been, who hath not seen the evil work that is done under the sun.(KJV-1611) Ecl 4:3 Men, gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pa t' janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:4 ============ Ecc 4:4 Again, I considered all travail, and every right work, that for this a man is envied of his neighbour. This is also vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 4:4 Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:5 ============ Ecc 4:5 The fool foldeth his hands together, and eateth his own flesh.(KJV-1611) Ecl 4:5 Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:6 ============ Ecc 4:6 Better is an handful with quietness, than both the hands full with travail and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 4:6 Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:7 ============ Ecc 4:7 Then I returned, and I saw vanity under the sun.(KJV-1611) Ecl 4:7 Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:8 ============ Ecc 4:8 There is one alone, and there is not a second; yea, he hath neither child nor brother: yet is there no end of all his labour; neither is his eye satisfied with riches; neither saith he, For whom do I labour, and bereave my soul of good? This is also vanity, yea, it is a sore travail.(KJV-1611) Ecl 4:8 Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:9 ============ Ecc 4:9 Two are better than one; because they have a good reward for their labour.(KJV-1611) Ecl 4:9 Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:10 ============ Ecc 4:10 For if they fall, the one will lift up his fellow: but woe to him that is alone when he falleth; for he hath not another to help him up.(KJV-1611) Ecl 4:10 Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:11 ============ Ecc 4:11 Again, if two lie together, then they have heat: but how can one be warm alone?(KJV-1611) Ecl 4:11 Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:12 ============ Ecc 4:12 And if one prevail against him, two shall withstand him; and a threefold cord is not quickly broken.(KJV-1611) Ecl 4:12 Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:13 ============ Ecc 4:13 Better is a poor and a wise child than an old and foolish king, who will no more be admonished.(KJV-1611) Ecl 4:13 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:14 ============ Ecc 4:14 For out of prison he cometh to reign; whereas also he that is born in his kingdom becometh poor.(KJV-1611) Ecl 4:14 Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:15 ============ Ecc 4:15 I considered all the living which walk under the sun, with the second child that shall stand up in his stead.(KJV-1611) Ecl 4:15 Mwen kalkile, mwen gade tout moun k'ap viv sou latè, mwen di nan mitan tout moun sa yo gen jenn gason ki pral pran plas wa a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 4:16 ============ Ecc 4:16 There is no end of all the people, even of all that have been before them: they also that come after shall not rejoice in him. Surely this also is vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 4:16 Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l' mouri, pesonn p'ap chonje di l' mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:1 ============ Ecc 5:1 Keep thy foot when thou goest to the house of God, and be more ready to hear, than to give the sacrifice of fools: for they consider not that they do evil.(KJV-1611) Ecl 5:1 Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:2 ============ Ecc 5:2 Be not rash with thy mouth, and let not thine heart be hasty to utter any thing before God: for God is in heaven, and thou upon earth: therefore let thy words be few.(KJV-1611) Ecl 5:2 Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:3 ============ Ecc 5:3 For a dream cometh through the multitude of business; and a fool's voice is known by multitude of words.(KJV-1611) Ecl 5:3 Plis ou kite bagay chaje tèt ou, se plis ou ka fè move rèv. Plis ou pale anpil, se plis ou ka di pawòl ki pa fè sans menm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:4 ============ Ecc 5:4 When thou vowest a vow unto God, defer not to pay it; for he hath no pleasure in fools: pay that which thou hast vowed.(KJV-1611) Ecl 5:4 Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:5 ============ Ecc 5:5 Better is it that thou shouldest not vow, than that thou shouldest vow and not pay.(KJV-1611) Ecl 5:5 Pito ou pa janm pwomèt Bondye w'ap fè kichòy pou li pase pou ou pwomèt, epi pou ou pa kenbe pwomès ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:6 ============ Ecc 5:6 Suffer not thy mouth to cause thy flesh to sin; neither say thou before the angel, that it was an error: wherefore should God be angry at thy voice, and destroy the work of thine hands?(KJV-1611) Ecl 5:6 Pa kite pawòl ki soti nan bouch ou fè ou fè peche. Apre sa pou ou al di reprezantan Bondye a: O wi, se chape bouch mwen chape. Poukisa pou ou ta fè Bondye fache sou ou? Poukisa pou ou ta fè Bondye detwi travay ou fè ak men ou?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:7 ============ Ecc 5:7 For in the multitude of dreams and many words there are also divers vanities: but fear thou God.(KJV-1611) Ecl 5:7 Tout rèv w'ap plede fè yo, tout pawòl w'ap plede di yo p'ap sèvi ou anyen. Se krentif pou ou toujou genyen pou Bondye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:8 ============ Ecc 5:8 If thou seest the oppression of the poor, and violent perverting of judgment and justice in a province, marvel not at the matter: for he that is higher than the highest regardeth; and there be higher than they.(KJV-1611) Ecl 5:8 Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:9 ============ Ecc 5:9 Moreover the profit of the earth is for all: the king himself is served by the field.(KJV-1611) Ecl 5:9 Travay latè se yon avantaj pou tout moun, ata pou wa a. Se sou sa li konte tou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:10 ============ Ecc 5:10 He that loveth silver shall not be satisfied with silver; nor he that loveth abundance with increase: this is also vanity.(KJV-1611) Ecl 5:10 Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:11 ============ Ecc 5:11 When goods increase, they are increased that eat them: and what good is there to the owners thereof, saving the beholding of them with their eyes?(KJV-1611) Ecl 5:11 Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:12 ============ Ecc 5:12 The sleep of a labouring man is sweet, whether he eat little or much: but the abundance of the rich will not suffer him to sleep.(KJV-1611) Ecl 5:12 Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:13 ============ Ecc 5:13 There is a sore evil which I have seen under the sun, namely, riches kept for the owners thereof to their hurt.(KJV-1611) Ecl 5:13 Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:14 ============ Ecc 5:14 But those riches perish by evil travail: and he begetteth a son, and there is nothing in his hand.(KJV-1611) Ecl 5:14 Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l' ba li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:15 ============ Ecc 5:15 As he came forth of his mother's womb, naked shall he return to go as he came, and shall take nothing of his labour, which he may carry away in his hand.(KJV-1611) Ecl 5:15 Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:16 ============ Ecc 5:16 And this also is a sore evil, that in all points as he came, so shall he go: and what profit hath he that hath laboured for the wind?(KJV-1611) Ecl 5:16 Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:17 ============ Ecc 5:17 All his days also he eateth in darkness, and he hath much sorrow and wrath with his sickness.(KJV-1611) Ecl 5:17 Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:18 ============ Ecc 5:18 Behold that which I have seen: it is good and comely for one to eat and to drink, and to enjoy the good of all his labour that he taketh under the sun all the days of his life, which God giveth him: for it is his portion.(KJV-1611) Ecl 5:18 Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:19 ============ Ecc 5:19 Every man also to whom God hath given riches and wealth, and hath given him power to eat thereof, and to take his portion, and to rejoice in his labour; this is the gift of God.(KJV-1611) Ecl 5:19 Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l' di Bondye mèsi, se pou l' jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 5:20 ============ Ecc 5:20 For he shall not much remember the days of his life; because God answereth him in the joy of his heart.(KJV-1611) Ecl 5:20 Li pa bezwen chonje jan lavi a kout, paske Bondye ba li kont bagay pou l' fè pou fè kè l' kontan.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:1 ============ Ecc 6:1 There is an evil which I have seen under the sun, and it is common among men:(KJV-1611) Ecl 6:1 Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:2 ============ Ecc 6:2 A man to whom God hath given riches, wealth, and honour, so that he wanteth nothing for his soul of all that he desireth, yet God giveth him not power to eat thereof, but a stranger eateth it: this is vanity, and it is an evil disease.(KJV-1611) Ecl 6:2 Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:3 ============ Ecc 6:3 If a man beget an hundred children, and live many years, so that the days of his years be many, and his soul be not filled with good, and also that he have no burial; I say, that an untimely birth is better than he.(KJV-1611) Ecl 6:3 Yon nonm te mèt gen san pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:4 ============ Ecc 6:4 For he cometh in with vanity, and departeth in darkness, and his name shall be covered with darkness.(KJV-1611) Ecl 6:4 Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l' anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l' yo pa gen tan konnen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:5 ============ Ecc 6:5 Moreover he hath not seen the sun, nor known any thing: this hath more rest than the other.(KJV-1611) Ecl 6:5 Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:6 ============ Ecc 6:6 Yea, though he live a thousand years twice told, yet hath he seen no good: do not all go to one place?(KJV-1611) Ecl 6:6 ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:7 ============ Ecc 6:7 All the labour of man is for his mouth, and yet the appetite is not filled.(KJV-1611) Ecl 6:7 Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:8 ============ Ecc 6:8 For what hath the wise more than the fool? what hath the poor, that knoweth to walk before the living?(KJV-1611) Ecl 6:8 Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:9 ============ Ecc 6:9 Better is the sight of the eyes than the wandering of the desire: this is also vanity and vexation of spirit.(KJV-1611) Ecl 6:9 Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:10 ============ Ecc 6:10 That which hath been is named already, and it is known that it is man: neither may he contend with him that is mightier than he.(KJV-1611) Ecl 6:10 Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:11 ============ Ecc 6:11 Seeing there be many things that increase vanity, what is man the better?(KJV-1611) Ecl 6:11 Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 6:12 ============ Ecc 6:12 For who knoweth what is good for man in this life, all the days of his vain life which he spendeth as a shadow? for who can tell a man what shall be after him under the sun?(KJV-1611) Ecl 6:12 Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:1 ============ Ecc 7:1 A good name is better than precious ointment; and the day of death than the day of one's birth.(KJV-1611) Ecl 7:1 Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:2 ============ Ecc 7:2 It is better to go to the house of mourning, than to go to the house of feasting: for that is the end of all men; and the living will lay it to his heart.(KJV-1611) Ecl 7:2 Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:3 ============ Ecc 7:3 Sorrow is better than laughter: for by the sadness of the countenance the heart is made better.(KJV-1611) Ecl 7:3 Pito yon moun nan lapenn pase pou l' gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:4 ============ Ecc 7:4 The heart of the wise is in the house of mourning; but the heart of fools is in the house of mirth.(KJV-1611) Ecl 7:4 Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:5 ============ Ecc 7:5 It is better to hear the rebuke of the wise, than for a man to hear the song of fools.(KJV-1611) Ecl 7:5 Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:6 ============ Ecc 7:6 For as the crackling of thorns under a pot, so is the laughter of the fool: this also is vanity.(KJV-1611) Ecl 7:6 Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k'ap pete nan dife. Sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:7 ============ Ecc 7:7 Surely oppression maketh a wise man mad; and a gift destroyeth the heart.(KJV-1611) Ecl 7:7 Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:8 ============ Ecc 7:8 Better is the end of a thing than the beginning thereof: and the patient in spirit is better than the proud in spirit.(KJV-1611) Ecl 7:8 Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l'ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:9 ============ Ecc 7:9 Be not hasty in thy spirit to be angry: for anger resteth in the bosom of fools.(KJV-1611) Ecl 7:9 Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:10 ============ Ecc 7:10 Say not thou, What is the cause that the former days were better than these? for thou dost not enquire wisely concerning this.(KJV-1611) Ecl 7:10 Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n'ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p'ap mande bagay konsa.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:11 ============ Ecc 7:11 Wisdom is good with an inheritance: and by it there is profit to them that see the sun.(KJV-1611) Ecl 7:11 Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:12 ============ Ecc 7:12 For wisdom is a defence, and money is a defence: but the excellency of knowledge is, that wisdom giveth life to them that have it.(KJV-1611) Ecl 7:12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:13 ============ Ecc 7:13 Consider the work of God: for who can make that straight, which he hath made crooked?(KJV-1611) Ecl 7:13 Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:14 ============ Ecc 7:14 In the day of prosperity be joyful, but in the day of adversity consider: God also hath set the one over against the other, to the end that man should find nothing after him.(KJV-1611) Ecl 7:14 Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:15 ============ Ecc 7:15 All things have I seen in the days of my vanity: there is a just man that perisheth in his righteousness, and there is a wicked man that prolongeth his life in his wickedness.(KJV-1611) Ecl 7:15 Lavi n' sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:16 ============ Ecc 7:16 Be not righteous over much; neither make thyself over wise: why shouldest thou destroy thyself ?(KJV-1611) Ecl 7:16 Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:17 ============ Ecc 7:17 Be not over much wicked, neither be thou foolish: why shouldest thou die before thy time?(KJV-1611) Ecl 7:17 Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:18 ============ Ecc 7:18 It is good that thou shouldest take hold of this; yea, also from this withdraw not thine hand: for he that feareth God shall come forth of them all.(KJV-1611) Ecl 7:18 Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:19 ============ Ecc 7:19 Wisdom strengtheneth the wise more than ten mighty men which are in the city.(KJV-1611) Ecl 7:19 Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l' pou yon lavil.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:20 ============ Ecc 7:20 For there is not a just man upon earth, that doeth good, and sinneth not.(KJV-1611) Ecl 7:20 Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:21 ============ Ecc 7:21 Also take no heed unto all words that are spoken; lest thou hear thy servant curse thee:(KJV-1611) Ecl 7:21 Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:22 ============ Ecc 7:22 For oftentimes also thine own heart knoweth that thou thyself likewise hast cursed others.(KJV-1611) Ecl 7:22 Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:23 ============ Ecc 7:23 All this have I proved by wisdom: I said, I will be wise; but it was far from me.(KJV-1611) Ecl 7:23 Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m' fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t' janm rive genyen l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:24 ============ Ecc 7:24 That which is far off, and exceeding deep, who can find it out?(KJV-1611) Ecl 7:24 Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:25 ============ Ecc 7:25 I applied mine heart to know, and to search, and to seek out wisdom, and the reason of things, and to know the wickedness of folly, even of foolishness and madness:(KJV-1611) Ecl 7:25 Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:26 ============ Ecc 7:26 And I find more bitter than death the woman, whose heart is snares and nets, and her hands as bands: whoso pleaseth God shall escape from her; but the sinner shall be taken by her.(KJV-1611) Ecl 7:26 Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:27 ============ Ecc 7:27 Behold, this have I found, saith the preacher, counting one by one, to find out the account:(KJV-1611) Ecl 7:27 Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m' konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:28 ============ Ecc 7:28 Which yet my soul seeketh, but I find not: one man among a thousand have I found; but a woman among all those have I not found.(KJV-1611) Ecl 7:28 M'ap chache yon lòt esplikasyon. Men mwen pa jwenn li. Sou mil gason mwen kontre, se yon sèl mwen jwenn ki gen konprann. Men pou fanm, mwen pa jwenn yonn menm.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 7:29 ============ Ecc 7:29 Lo, this only have I found, that God hath made man upright; but they have sought out many inventions.(KJV-1611) Ecl 7:29 Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:1 ============ Ecc 8:1 Who is as the wise man? and who knoweth the interpretation of a thing? a man's wisdom maketh his face to shine, and the boldness of his face shall be changed.(KJV-1611) Ecl 8:1 Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l' bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l' kontan, tout pli nan fwon l' disparèt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:2 ============ Ecc 8:2 I counsel thee to keep the king's commandment, and that in regard of the oath of God.(KJV-1611) Ecl 8:2 Se pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:3 ============ Ecc 8:3 Be not hasty to go out of his sight: stand not in an evil thing; for he doeth whatsoever pleaseth him.(KJV-1611) Ecl 8:3 Pa prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:4 ============ Ecc 8:4 Where the word of a king is, there is power: and who may say unto him, What doest thou?(KJV-1611) Ecl 8:4 Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l' poukisa l'ap fè sa l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:5 ============ Ecc 8:5 Whoso keepeth the commandment shall feel no evil thing: and a wise man's heart discerneth both time and judgment.(KJV-1611) Ecl 8:5 Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:6 ============ Ecc 8:6 Because to every purpose there is time and judgment, therefore the misery of man is great upon him.(KJV-1611) Ecl 8:6 Chak bagay gen jan pou yo fè l' ak lè pou yo fè l'. Se la tout tèt chaje a ye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:7 ============ Ecc 8:7 For he knoweth not that which shall be: for who can tell him when it shall be?(KJV-1611) Ecl 8:7 Pesonn pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pesonn ki ka di nou sa ki pral rive.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:8 ============ Ecc 8:8 There is no man that hath power over the spirit to retain the spirit; neither hath he power in the day of death: and there is no discharge in that war; neither shall wickedness deliver those that are given to it.(KJV-1611) Ecl 8:8 Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:9 ============ Ecc 8:9 All this have I seen, and applied my heart unto every work that is done under the sun: there is a time wherein one man ruleth over another to his own hurt.(KJV-1611) Ecl 8:9 Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:10 ============ Ecc 8:10 And so I saw the wicked buried, who had come and gone from the place of the holy, and they were forgotten in the city where they had so done: this is also vanity.(KJV-1611) Ecl 8:10 Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:11 ============ Ecc 8:11 Because sentence against an evil work is not executed speedily, therefore the heart of the sons of men is fully set in them to do evil.(KJV-1611) Ecl 8:11 Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:12 ============ Ecc 8:12 Though a sinner do evil an hundred times, and his days be prolonged, yet surely I know that it shall be well with them that fear God, which fear before him:(KJV-1611) Ecl 8:12 Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:13 ============ Ecc 8:13 But it shall not be well with the wicked, neither shall he prolong his days, which are as a shadow; because he feareth not before God.(KJV-1611) Ecl 8:13 Men se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbraj. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:14 ============ Ecc 8:14 There is a vanity which is done upon the earth; that there be just men, unto whom it happeneth according to the work of the wicked; again, there be wicked men, to whom it happeneth according to the work of the righteous: I said that this also is vanity.(KJV-1611) Ecl 8:14 Men tou sa se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat ki resevwa pinisyon mechan yo. Gen mechan ki resevwa rekonpans moun ki mache dwat yo. Mwen di tou sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:15 ============ Ecc 8:15 Then I commended mirth, because a man hath no better thing under the sun, than to eat, and to drink, and to be merry: for that shall abide with him of his labour the days of his life, which God giveth him under the sun.(KJV-1611) Ecl 8:15 Se konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l' pou l' viv sou latè a.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:16 ============ Ecc 8:16 When I applied mine heart to know wisdom, and to see the business that is done upon the earth: (for also there is that neither day nor night seeth sleep with his eyes:)(KJV-1611) Ecl 8:16 Chak fwa mwen pran desizyon pou m' chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit,(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 8:17 ============ Ecc 8:17 Then I beheld all the work of God, that a man cannot find out the work that is done under the sun: because though a man labour to seek it out, yet he shall not find it; yea farther; though a wise man think to know it, yet shall he not be able to find it.(KJV-1611) Ecl 8:17 ou p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:1 ============ Ecc 9:1 For all this I considered in my heart even to declare all this, that the righteous, and the wise, and their works, are in the hand of God: no man knoweth either love or hatred by all that is before them.(KJV-1611) Ecl 9:1 Mwen kalkile anpil sou bagay sa yo. Mwen repase bagay sa yo byen repase nan tèt mwen. Mwen wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun, ni moun ki gen bon konprann, ni moun ki mache dwat yo. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:2 ============ Ecc 9:2 All things come alike to all: there is one event to the righteous, and to the wicked; to the good and to the clean, and to the unclean; to him that sacrificeth, and to him that sacrificeth not: as is the good, so is the sinner; and he that sweareth, as he that feareth an oath.(KJV-1611) Ecl 9:2 Se menm sò a ki gen pou rive tout moun, ni mechan an, ni moun ki mache dwat la, bon an kou move a, moun ki kenbe pye Bondye a kou moun ki pa kenbe pye Bondye a, moun ki ofri bèt pou touye pou Bondye kou moun ki pa ofri bèt pou Bondye. Konsa, yon moun debyen pa pi bon pase moun k'ap fè sa ki mal la. Moun ki fè sèman pa pi mal pase moun ki pè fè sèman.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:3 ============ Ecc 9:3 This is an evil among all things that are done under the sun, that there is one event unto all: yea, also the heart of the sons of men is full of evil, and madness is in their heart while they live, and after that they go to the dead.(KJV-1611) Ecl 9:3 Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:4 ============ Ecc 9:4 For to him that is joined to all the living there is hope: for a living dog is better than a dead lion.(KJV-1611) Ecl 9:4 Men, toutotan yon moun vivan toujou gen espwa pou li. Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:5 ============ Ecc 9:5 For the living know that they shall die: but the dead know not any thing, neither have they any more a reward; for the memory of them is forgotten.(KJV-1611) Ecl 9:5 Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:6 ============ Ecc 9:6 Also their love, and their hatred, and their envy, is now perished; neither have they any more a portion for ever in any thing that is done under the sun.(KJV-1611) Ecl 9:6 Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p'ap janm patisipe nan anyen k'ap fèt sou latè ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:7 ============ Ecc 9:7 Go thy way, eat thy bread with joy, and drink thy wine with a merry heart; for God now accepteth thy works.(KJV-1611) Ecl 9:7 Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:8 ============ Ecc 9:8 Let thy garments be always white; and let thy head lack no ointment.(KJV-1611) Ecl 9:8 Se pou rad anwo ou toujou byen pwòp, tèt ou toujou byen penyen ak lwil santi bon.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:9 ============ Ecc 9:9 Live joyfully with the wife whom thou lovest all the days of the life of thy vanity, which he hath given thee under the sun, all the days of thy vanity: for that is thy portion in this life, and in thy labour which thou takest under the sun.(KJV-1611) Ecl 9:9 Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:10 ============ Ecc 9:10 Whatsoever thy hand findeth to do, do it with thy might; for there is no work, nor device, nor knowledge, nor wisdom, in the grave, whither thou goest.(KJV-1611) Ecl 9:10 Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:11 ============ Ecc 9:11 I returned, and saw under the sun, that the race is not to the swift, nor the battle to the strong, neither yet bread to the wise, nor yet riches to men of understanding, nor yet favour to men of skill; but time and chance happeneth to them all.(KJV-1611) Ecl 9:11 Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:12 ============ Ecc 9:12 For man also knoweth not his time: as the fishes that are taken in an evil net, and as the birds that are caught in the snare; so are the sons of men snared in an evil time, when it falleth suddenly upon them.(KJV-1611) Ecl 9:12 Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:13 ============ Ecc 9:13 This wisdom have I seen also under the sun, and it seemed great unto me:(KJV-1611) Ecl 9:13 Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:14 ============ Ecc 9:14 There was a little city, and few men within it; and there came a great king against it, and besieged it, and built great bulwarks against it:(KJV-1611) Ecl 9:14 Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pa t' gen anpil moun ladan l'. Yon gran wa vin atake l' ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:15 ============ Ecc 9:15 Now there was found in it a poor wise man, and he by his wisdom delivered the city; yet no man remembered that same poor man.(KJV-1611) Ecl 9:15 Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:16 ============ Ecc 9:16 Then said I, Wisdom is better than strength: nevertheless the poor man's wisdom is despised, and his words are not heard.(KJV-1611) Ecl 9:16 Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:17 ============ Ecc 9:17 The words of wise men are heard in quiet more than the cry of him that ruleth among fools.(KJV-1611) Ecl 9:17 Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 9:18 ============ Ecc 9:18 Wisdom is better than weapons of war: but one sinner destroyeth much good.(KJV-1611) Ecl 9:18 Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:1 ============ Ecc 10:1 Dead flies cause the ointment of the apothecary to send forth a stinking savour: so doth a little folly him that is in reputation for wisdom and honour.(KJV-1611) Ecl 10:1 Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:2 ============ Ecc 10:2 A wise man's heart is at his right hand; but a fool's heart at his left.(KJV-1611) Ecl 10:2 Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:3 ============ Ecc 10:3 Yea also, when he that is a fool walketh by the way, his wisdom faileth him, and he saith to every one that he is a fool.(KJV-1611) Ecl 10:3 Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:4 ============ Ecc 10:4 If the spirit of the ruler rise up against thee, leave not thy place; for yielding pacifieth great offences.(KJV-1611) Ecl 10:4 Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:5 ============ Ecc 10:5 There is an evil which I have seen under the sun, as an error which proceedeth from the ruler:(KJV-1611) Ecl 10:5 Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:6 ============ Ecc 10:6 Folly is set in great dignity, and the rich sit in low place.(KJV-1611) Ecl 10:6 Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:7 ============ Ecc 10:7 I have seen servants upon horses, and princes walking as servants upon the earth.(KJV-1611) Ecl 10:7 Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:8 ============ Ecc 10:8 He that diggeth a pit shall fall into it; and whoso breaketh an hedge, a serpent shall bite him.(KJV-1611) Ecl 10:8 Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:9 ============ Ecc 10:9 Whoso removeth stones shall be hurt therewith; and he that cleaveth wood shall be endangered thereby.(KJV-1611) Ecl 10:9 Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:10 ============ Ecc 10:10 If the iron be blunt, and he do not whet the edge, then must he put to more strength: but wisdom is profitable to direct.(KJV-1611) Ecl 10:10 Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l', ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l'. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:11 ============ Ecc 10:11 Surely the serpent will bite without enchantment; and a babbler is no better.(KJV-1611) Ecl 10:11 Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l' gen tan mòde ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:12 ============ Ecc 10:12 The words of a wise man's mouth are gracious; but the lips of a fool will swallow up himself.(KJV-1611) Ecl 10:12 Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:13 ============ Ecc 10:13 The beginning of the words of his mouth is foolishness: and the end of his talk is mischievous madness.(KJV-1611) Ecl 10:13 Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:14 ============ Ecc 10:14 A fool also is full of words: a man cannot tell what shall be; and what shall be after him, who can tell him?(KJV-1611) Ecl 10:14 Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:15 ============ Ecc 10:15 The labour of the foolish wearieth every one of them, because he knoweth not how to go to the city.(KJV-1611) Ecl 10:15 Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:16 ============ Ecc 10:16 Woe to thee, O land, when thy king is a child, and thy princes eat in the morning!(KJV-1611) Ecl 10:16 Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:17 ============ Ecc 10:17 Blessed art thou, O land, when thy king is the son of nobles, and thy princes eat in due season, for strength, and not for drunkenness!(KJV-1611) Ecl 10:17 Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:18 ============ Ecc 10:18 By much slothfulness the building decayeth; and through idleness of the hands the house droppeth through.(KJV-1611) Ecl 10:18 Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:19 ============ Ecc 10:19 A feast is made for laughter, and wine maketh merry: but money answereth all things.(KJV-1611) Ecl 10:19 Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 10:20 ============ Ecc 10:20 Curse not the king, no not in thy thought; and curse not the rich in thy bedchamber: for a bird of the air shall carry the voice, and that which hath wings shall tell the matter.(KJV-1611) Ecl 10:20 Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:1 ============ Ecc 11:1 Cast thy bread upon the waters: for thou shalt find it after many days.(KJV-1611) Ecl 11:1 Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:2 ============ Ecc 11:2 Give a portion to seven, and also to eight; for thou knowest not what evil shall be upon the earth.(KJV-1611) Ecl 11:2 Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:3 ============ Ecc 11:3 If the clouds be full of rain, they empty themselves upon the earth: and if the tree fall toward the south, or toward the north, in the place where the tree falleth, there it shall be.(KJV-1611) Ecl 11:3 Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:4 ============ Ecc 11:4 He that observeth the wind shall not sow; and he that regardeth the clouds shall not reap.(KJV-1611) Ecl 11:4 Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:5 ============ Ecc 11:5 As thou knowest not what is the way of the spirit, nor how the bones do grow in the womb of her that is with child: even so thou knowest not the works of God who maketh all.(KJV-1611) Ecl 11:5 Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:6 ============ Ecc 11:6 In the morning sow thy seed, and in the evening withhold not thine hand: for thou knowest not whether shall prosper, either this or that, or whether they both shall be alike good.(KJV-1611) Ecl 11:6 Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:7 ============ Ecc 11:7 Truly the light is sweet, and a pleasant thing it is for the eyes to behold the sun:(KJV-1611) Ecl 11:7 Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:8 ============ Ecc 11:8 But if a man live many years, and rejoice in them all; yet let him remember the days of darkness; for they shall be many. All that cometh is vanity.(KJV-1611) Ecl 11:8 Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:9 ============ Ecc 11:9 Rejoice, O young man, in thy youth; and let thy heart cheer thee in the days of thy youth, and walk in the ways of thine heart, and in the sight of thine eyes: but know thou, that for all these things God will bring thee into judgment.(KJV-1611) Ecl 11:9 menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 11:10 ============ Ecc 11:10 Therefore remove sorrow from thy heart, and put away evil from thy flesh: for childhood and youth are vanity.(KJV-1611) Ecl 11:10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:1 ============ Ecc 12:1 Remember now thy Creator in the days of thy youth, while the evil days come not, nor the years draw nigh, when thou shalt say, I have no pleasure in them;(KJV-1611) Ecl 12:1 Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn ankenn plezi nan lavi.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:2 ============ Ecc 12:2 While the sun, or the light, or the moon, or the stars, be not darkened, nor the clouds return after the rain:(KJV-1611) Ecl 12:2 Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gen tan mare ankò.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:3 ============ Ecc 12:3 In the day when the keepers of the house shall tremble, and the strong men shall bow themselves, and the grinders cease because they are few, and those that look out of the windows be darkened,(KJV-1611) Ecl 12:3 Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm koulye a ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:4 ============ Ecc 12:4 And the doors shall be shut in the streets, when the sound of the grinding is low, and he shall rise up at the voice of the bird, and all the daughters of musick shall be brought low;(KJV-1611) Ecl 12:4 De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l' tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gen tan leve.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:5 ============ Ecc 12:5 Also when they shall be afraid of that which is high, and fears shall be in the way, and the almond tree shall flourish, and the grasshopper shall be a burden, and desire shall fail: because man goeth to his long home, and the mourners go about the streets:(KJV-1611) Ecl 12:5 W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:6 ============ Ecc 12:6 Or ever the silver cord be loosed, or the golden bowl be broken, or the pitcher be broken at the fountain, or the wheel broken at the cistern.(KJV-1611) Ecl 12:6 Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:7 ============ Ecc 12:7 Then shall the dust return to the earth as it was: and the spirit shall return unto God who gave it.(KJV-1611) Ecl 12:7 Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:8 ============ Ecc 12:8 Vanity of vanities, saith the preacher; all is vanity.(KJV-1611) Ecl 12:8 Lavi pa vo anyen. Lavi pa sèvi anyen. Filozòf la di: Anyen pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:9 ============ Ecc 12:9 And moreover, because the preacher was wise, he still taught the people knowledge; yea, he gave good heed, and sought out, and set in order many proverbs.(KJV-1611) Ecl 12:9 Men, paske filozòf la te gen bon konprann, li pa janm sispann moutre pèp la tou sa li te konnen. Li egzaminen anpil pwovèb, li etidye yo, li pran san li pou li sanble yo.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:10 ============ Ecc 12:10 The preacher sought to find out acceptable words: and that which was written was upright, even words of truth.(KJV-1611) Ecl 12:10 Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:11 ============ Ecc 12:11 The words of the wise are as goads, and as nails fastened by the masters of assemblies, which are given from one shepherd.(KJV-1611) Ecl 12:11 Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:12 ============ Ecc 12:12 And further, by these, my son, be admonished: of making many books there is no end; and much study is a weariness of the flesh.(KJV-1611) Ecl 12:12 Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:13 ============ Ecc 12:13 Let us hear the conclusion of the whole matter: Fear God, and keep his commandments: for this is the whole duty of man.(KJV-1611) Ecl 12:13 Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m' di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.(Creole-HT) ======= Ecclesiastes 12:14 ============ Ecc 12:14 For God shall bring every work into judgment, with every secret thing, whether it be good, or whether it be evil.(KJV-1611) Ecl 12:14 Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:1 ============ SS 1:1 The song of songs, which is Solomon's.(KJV-1611) Sos 1:1 Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:2 ============ SS 1:2 Let him kiss me with the kisses of his mouth: for thy love is better than wine.(KJV-1611) Sos 1:2 Bo m' non, kouvri m' ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:3 ============ SS 1:3 Because of the savour of thy good ointments thy name is as ointment poured forth, therefore do the virgins love thee.(KJV-1611) Sos 1:3 Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:4 ============ SS 1:4 Draw me, we will run after thee: the king hath brought me into his chambers: we will be glad and rejoice in thee, we will remember thy love more than wine: the upright love thee.(KJV-1611) Sos 1:4 Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:5 ============ SS 1:5 I am black, but comely, O ye daughters of Jerusalem, as the tents of Kedar, as the curtains of Solomon.(KJV-1611) Sos 1:5 Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:6 ============ SS 1:6 Look not upon me, because I am black, because the sun hath looked upon me: my mother's children were angry with me; they made me the keeper of the vineyards; but mine own vineyard have I not kept.(KJV-1611) Sos 1:6 Pa gade sou koulè po m'! Se solèy la ki boule m' konsa. Frè m' yo te move sou mwen. Yo fè m' travay nan jaden rezen lòt moun. M' pa t' gen tan pou m' okipe jaden rezen pa m'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:7 ============ SS 1:7 Tell me, O thou whom my soul loveth, where thou feedest, where thou makest thy flock to rest at noon: for why should I be as one that turneth aside by the flocks of thy companions?(KJV-1611) Sos 1:7 Manyè di m' non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m' p'ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:8 ============ SS 1:8 If thou know not, O thou fairest among women, go thy way forth by the footsteps of the flock, and feed thy kids beside the shepherds' tents.(KJV-1611) Sos 1:8 Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:9 ============ SS 1:9 I have compared thee, O my love, to a company of horses in Pharaoh's chariots.(KJV-1611) Sos 1:9 Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:10 ============ SS 1:10 Thy cheeks are comely with rows of jewels, thy neck with chains of gold.(KJV-1611) Sos 1:10 Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:11 ============ SS 1:11 We will make thee borders of gold with studs of silver.(KJV-1611) Sos 1:11 Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:12 ============ SS 1:12 While the king sitteth at his table, my spikenard sendeth forth the smell thereof.(KJV-1611) Sos 1:12 Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:13 ============ SS 1:13 A bundle of myrrh is my well-beloved unto me; he shall lie all night betwixt my breasts.(KJV-1611) Sos 1:13 Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:14 ============ SS 1:14 My beloved is unto me as a cluster of camphire in the vineyards of Engedi.(KJV-1611) Sos 1:14 Mennaj mwen tankou yon bouke flè k'ap fleri nan jaden rezen Angedi.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:15 ============ SS 1:15 Behold, thou art fair, my love; behold, thou art fair; thou hast doves' eyes.(KJV-1611) Sos 1:15 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:16 ============ SS 1:16 Behold, thou art fair, my beloved, yea, pleasant: also our bed is green.(KJV-1611) Sos 1:16 Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m' kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 1:17 ============ SS 1:17 The beams of our house are cedar, and our rafters of fir.(KJV-1611) Sos 1:17 Branch bwa sèd yo sèvi nou travès kay, branch pye chenn yo sèvi nou twati.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:1 ============ SS 2:1 I am the rose of Sharon, and the lily of the valleys.(KJV-1611) Sos 2:1 Se yon woz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:2 ============ SS 2:2 As the lily among thorns, so is my love among the daughters.(KJV-1611) Sos 2:2 Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmòrèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:3 ============ SS 2:3 As the apple tree among the trees of the wood, so is my beloved among the sons. I sat down under his shadow with great delight, and his fruit was sweet to my taste.(KJV-1611) Sos 2:3 Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:4 ============ SS 2:4 He brought me to the banqueting house, and his banner over me was love.(KJV-1611) Sos 2:4 Li mennen m' yon ti kote al bwè avè l'. Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:5 ============ SS 2:5 Stay me with flagons, comfort me with apples: for I am sick of love.(KJV-1611) Sos 2:5 Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:6 ============ SS 2:6 His left hand is under my head, and his right hand doth embrace me.(KJV-1611) Sos 2:6 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:7 ============ SS 2:7 I charge you, O ye daughters of Jerusalem, by the roes, and by the hinds of the field, that ye stir not up, nor awake my love, till he please.(KJV-1611) Sos 2:7 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:8 ============ SS 2:8 The voice of my beloved! behold, he cometh leaping upon the mountains, skipping upon the hills.(KJV-1611) Sos 2:8 Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l'ap vini. Li soti sou mòn yo, l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:9 ============ SS 2:9 My beloved is like a roe or a young hart: behold, he standeth behind our wall, he looketh forth at the windows, shewing himself through the lattice.(KJV-1611) Sos 2:9 Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:10 ============ SS 2:10 My beloved spake, and said unto me, Rise up, my love, my fair one, and come away.(KJV-1611) Sos 2:10 Mennaj mwen pale avè m', li di m': Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:11 ============ SS 2:11 For, lo, the winter is past, the rain is over and gone;(KJV-1611) Sos 2:11 Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:12 ============ SS 2:12 The flowers appear on the earth; the time of the singing of birds is come, and the voice of the turtle is heard in our land;(KJV-1611) Sos 2:12 Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:13 ============ SS 2:13 The fig tree putteth forth her green figs, and the vines with the tender grape give a good smell. Arise, my love, my fair one, and come away.(KJV-1611) Sos 2:13 Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m' non, bèl nègès mwen!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:14 ============ SS 2:14 O my dove, that art in the clefts of the rock, in the secret places of the stairs, let me see thy countenance, let me hear thy voice; for sweet is thy voice, and thy countenance is comely.(KJV-1611) Sos 2:14 Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:15 ============ SS 2:15 Take us the foxes, the little foxes, that spoil the vines: for our vines have tender grapes.(KJV-1611) Sos 2:15 Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k'ap fleri.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:16 ============ SS 2:16 My beloved is mine, and I am his: he feedeth among the lilies.(KJV-1611) Sos 2:16 Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 2:17 ============ SS 2:17 Until the day break, and the shadows flee away, turn, my beloved, and be thou like a roe or a young hart upon the mountains of Bether.(KJV-1611) Sos 2:17 Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k'ap kouri sou mòn byen wo yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:1 ============ SS 3:1 By night on my bed I sought him whom my soul loveth: I sought him, but I found him not.(KJV-1611) Sos 3:1 Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:2 ============ SS 3:2 I will rise now, and go about the city in the streets, and in the broad ways I will seek him whom my soul loveth: I sought him, but I found him not.(KJV-1611) Sos 3:2 Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:3 ============ SS 3:3 The watchmen that go about the city found me: to whom I said, Saw ye him whom my soul loveth?(KJV-1611) Sos 3:3 Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen?(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:4 ============ SS 3:4 It was but a little that I passed from them, but I found him whom my soul loveth: I held him, and would not let him go, until I had brought him into my mother's house, and into the chamber of her that conceived me.(KJV-1611) Sos 3:4 Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:5 ============ SS 3:5 I charge you, O ye daughters of Jerusalem, by the roes, and by the hinds of the field, that ye stir not up, nor awake my love, till he please.(KJV-1611) Sos 3:5 Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:6 ============ SS 3:6 Who is this that cometh out of the wilderness like pillars of smoke, perfumed with myrrh and frankincense, with all powders of the merchant?(KJV-1611) Sos 3:6 Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:7 ============ SS 3:7 Behold his bed, which is Solomon's; threescore valiant men are about it, of the valiant of Israel.(KJV-1611) Sos 3:7 Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:8 ============ SS 3:8 They all hold swords, being expert in war: every man hath his sword upon his thigh because of fear in the night.(KJV-1611) Sos 3:8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:9 ============ SS 3:9 King Solomon made himself a chariot of the wood of Lebanon.(KJV-1611) Sos 3:9 Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban,(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:10 ============ SS 3:10 He made the pillars thereof of silver, the bottom thereof of gold, the covering of it of purple, the midst thereof being paved with love, for the daughters of Jerusalem.(KJV-1611) Sos 3:10 Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 3:11 ============ SS 3:11 Go forth, O ye daughters of Zion, and behold king Solomon with the crown wherewith his mother crowned him in the day of his espousals, and in the day of the gladness of his heart.(KJV-1611) Sos 3:11 Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:1 ============ SS 4:1 Behold, thou art fair, my love; behold, thou art fair; thou hast doves' eyes within thy locks: thy hair is as a flock of goats, that appear from mount Gilead.(KJV-1611) Sos 4:1 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:2 ============ SS 4:2 Thy teeth are like a flock of sheep that are even shorn, which came up from the washing; whereof every one bear twins, and none is barren among them.(KJV-1611) Sos 4:2 Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:3 ============ SS 4:3 Thy lips are like a thread of scarlet, and thy speech is comely: thy temples are like a piece of a pomegranate within thy locks.(KJV-1611) Sos 4:3 Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:4 ============ SS 4:4 Thy neck is like the tower of David builded for an armoury, whereon there hang a thousand bucklers, all shields of mighty men.(KJV-1611) Sos 4:4 Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:5 ============ SS 4:5 Thy two breasts are like two young roes that are twins, which feed among the lilies.(KJV-1611) Sos 4:5 Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:6 ============ SS 4:6 Until the day break, and the shadows flee away, I will get me to the mountain of myrrh, and to the hill of frankincense.(KJV-1611) Sos 4:6 M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:7 ============ SS 4:7 Thou art all fair, my love; there is no spot in thee.(KJV-1611) Sos 4:7 Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:8 ============ SS 4:8 Come with me from Lebanon, my spouse, with me from Lebanon: look from the top of Amana, from the top of Shenir and Hermon, from the lions' dens, from the mountains of the leopards.(KJV-1611) Sos 4:8 Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:9 ============ SS 4:9 Thou hast ravished my heart, my sister, my spouse; thou hast ravished my heart with one of thine eyes, with one chain of thy neck.(KJV-1611) Sos 4:9 Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:10 ============ SS 4:10 How fair is thy love, my sister, my spouse! how much better is thy love than wine! and the smell of thine ointments than all spices!(KJV-1611) Sos 4:10 Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:11 ============ SS 4:11 Thy lips, O my spouse, drop as the honeycomb: honey and milk are under thy tongue; and the smell of thy garments is like the smell of Lebanon.(KJV-1611) Sos 4:11 Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:12 ============ SS 4:12 A garden inclosed is my sister, my spouse; a spring shut up, a fountain sealed.(KJV-1611) Sos 4:12 Sò mwen, bèl nègès mwen, ou tankou yon jaden kache, yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, yon fontenn yo sele.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:13 ============ SS 4:13 Thy plants are an orchard of pomegranates, with pleasant fruits; camphire, with spikenard,(KJV-1611) Sos 4:13 Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm,(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:14 ============ SS 4:14 Spikenard and saffron; calamus and cinnamon, with all trees of frankincense; myrrh and aloes, with all the chief spices:(KJV-1611) Sos 4:14 tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:15 ============ SS 4:15 A fountain of gardens, a well of living waters, and streams from Lebanon.(KJV-1611) Sos 4:15 Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 4:16 ============ SS 4:16 Awake, O north wind; and come, thou south; blow upon my garden, that the spices thereof may flow out. Let my beloved come into his garden, and eat his pleasant fruits.(KJV-1611) Sos 4:16 Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:1 ============ SS 5:1 I am come into my garden, my sister, my spouse: I have gathered my myrrh with my spice; I have eaten my honeycomb with my honey; I have drunk my wine with my milk: eat, O friends; drink, yea, drink abundantly, O beloved.(KJV-1611) Sos 5:1 M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:2 ============ SS 5:2 I sleep, but my heart waketh: it is the voice of my beloved that knocketh, saying, Open to me, my sister, my love, my dove, my undefiled: for my head is filled with dew, and my locks with the drops of the night.(KJV-1611) Sos 5:2 Mwen t'ap dòmi, men kè m' t'ap veye. Mwen tande mennaj mwen k'ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m', toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m' plen dlo lawouze.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:3 ============ SS 5:3 I have put off my coat; how shall I put it on? I have washed my feet; how shall I defile them?(KJV-1611) Sos 5:3 Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m' mete rad sou mwen ankò? M' gen tan lave pye m'. Ou ta vle m' mete yo atè ankò?(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:4 ============ SS 5:4 My beloved put in his hand by the hole of the door, and my bowels were moved for him.(KJV-1611) Sos 5:4 Mennaj mwen pase men l' nan twou pòt la. Tout san nan kò m' mache.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:5 ============ SS 5:5 I rose up to open to my beloved; and my hands dropped with myrrh, and my fingers with sweet smelling myrrh, upon the handles of the lock.(KJV-1611) Sos 5:5 Lamenm, mwen leve pou m' louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m'. Li t'ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:6 ============ SS 5:6 I opened to my beloved; but my beloved had withdrawn himself, and was gone: my soul failed when he spake: I sought him, but I could not find him; I called him, but he gave me no answer.(KJV-1611) Sos 5:6 Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m' te santi m' ap mouri lè m' te tande l' ap pale a! M' chache l', m' pa jwenn li! M' rele l', li pa reponn!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:7 ============ SS 5:7 The watchmen that went about the city found me, they smote me, they wounded me; the keepers of the walls took away my veil from me.(KJV-1611) Sos 5:7 Gad k'ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m'. Yo bat mwen, yo toufounen m'! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:8 ============ SS 5:8 I charge you, O daughters of Jerusalem, if ye find my beloved, that ye tell him, that I am sick of love.(KJV-1611) Sos 5:8 Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l' pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:9 ============ SS 5:9 What is thy beloved more than another beloved, O thou fairest among women? what is thy beloved more than another beloved, that thou dost so charge us?(KJV-1611) Sos 5:9 Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:10 ============ SS 5:10 My beloved is white and ruddy, the chiefest among ten thousand.(KJV-1611) Sos 5:10 Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil gason.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:11 ============ SS 5:11 His head is as the most fine gold, his locks are bushy, and black as a raven.(KJV-1611) Sos 5:11 Figi l' gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:12 ============ SS 5:12 His eyes are as the eyes of doves by the rivers of waters, washed with milk, and fitly set.(KJV-1611) Sos 5:12 De je l' yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k'ap benyen nan de kivèt lèt.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:13 ============ SS 5:13 His cheeks are as a bed of spices, as sweet flowers: his lips like lilies, dropping sweet smelling myrrh.(KJV-1611) Sos 5:13 De bò figi l' yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:14 ============ SS 5:14 His hands are as gold rings set with the beryl: his belly is as bright ivory overlaid with sapphires.(KJV-1611) Sos 5:14 Men l' yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:15 ============ SS 5:15 His legs are as pillars of marble, set upon sockets of fine gold: his countenance is as Lebanon, excellent as the cedars.(KJV-1611) Sos 5:15 Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l', li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 5:16 ============ SS 5:16 His mouth is most sweet: yea, he is altogether lovely. This is my beloved, and this is my friend, O daughters of Jerusalem.(KJV-1611) Sos 5:16 Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m' lan ye, medam lavil Jerizalèm!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:1 ============ SS 6:1 Whither is thy beloved gone, O thou fairest among women? whither is thy beloved turned aside? that we may seek him with thee.(KJV-1611) Sos 6:1 Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:2 ============ SS 6:2 My beloved is gone down into his garden, to the beds of spices, to feed in the gardens, and to gather lilies.(KJV-1611) Sos 6:2 Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:3 ============ SS 6:3 I am my beloved's, and my beloved is mine: he feedeth among the lilies.(KJV-1611) Sos 6:3 Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:4 ============ SS 6:4 Thou art beautiful, O my love, as Tirzah, comely as Jerusalem, terrible as an army with banners.(KJV-1611) Sos 6:4 Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:5 ============ SS 6:5 Turn away thine eyes from me, for they have overcome me: thy hair is as a flock of goats that appear from Gilead.(KJV-1611) Sos 6:5 Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:6 ============ SS 6:6 Thy teeth are as a flock of sheep which go up from the washing, whereof every one beareth twins, and there is not one barren among them.(KJV-1611) Sos 6:6 Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:7 ============ SS 6:7 As a piece of a pomegranate are thy temples within thy locks.(KJV-1611) Sos 6:7 De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:8 ============ SS 6:8 There are threescore queens, and fourscore concubines, and virgins without number.(KJV-1611) Sos 6:8 Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:9 ============ SS 6:9 My dove, my undefiled is but one; she is the only one of her mother, she is the choice one of her that bare her. The daughters saw her, and blessed her; yea, the queens and the concubines, and they praised her.(KJV-1611) Sos 6:9 Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:10 ============ SS 6:10 Who is she that looketh forth as the morning, fair as the moon, clear as the sun, and terrible as an army with banners?(KJV-1611) Sos 6:10 Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:11 ============ SS 6:11 I went down into the garden of nuts to see the fruits of the valley, and to see whether the vine flourished and the pomegranates budded.(KJV-1611) Sos 6:11 Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:12 ============ SS 6:12 Or ever I was aware, my soul made me like the chariots of Amminadib.(KJV-1611) Sos 6:12 Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 6:13 ============ SS 6:13 Return, return, O Shulamite; return, return, that we may look upon thee. What will ye see in the Shulamite? As it were the company of two armies.(KJV-1611) Sos 6:13 Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n' ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k'ap danse nan mitan de ran moun?(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:1 ============ SS 7:1 How beautiful are thy feet with shoes, O prince's daughter! the joints of thy thighs are like jewels, the work of the hands of a cunning workman.(KJV-1611) Sos 7:1 Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:2 ============ SS 7:2 Thy navel is like a round goblet, which wanteth not liquor: thy belly is like an heap of wheat set about with lilies.(KJV-1611) Sos 7:2 Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:3 ============ SS 7:3 Thy two breasts are like two young roes that are twins.(KJV-1611) Sos 7:3 Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, de ti gazèl menm fòs, menm pòte.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:4 ============ SS 7:4 Thy neck is as a tower of ivory; thine eyes like the fishpools in Heshbon, by the gate of Bathrabbim: thy nose is as the tower of Lebanon which looketh toward Damascus.(KJV-1611) Sos 7:4 Kou ou tankou yon fò won fèt an ivwa. Je ou yo tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou tankou gwo fò peyi Liban an k'ap veye sou lavil Damas.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:5 ============ SS 7:5 Thine head upon thee is like Carmel, and the hair of thine head like purple; the king is held in the galleries.(KJV-1611) Sos 7:5 Ou kenbe tèt ou dwèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:6 ============ SS 7:6 How fair and how pleasant art thou, O love, for delights!(KJV-1611) Sos 7:6 Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Ala dous ou dous, bèl nègès mwen!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:7 ============ SS 7:7 This thy stature is like to a palm tree, and thy breasts to clusters of grapes.(KJV-1611) Sos 7:7 Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis. De tete ou yo ou ta di de ti grap palmis.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:8 ============ SS 7:8 I said, I will go up to the palm tree, I will take hold of the boughs thereof: now also thy breasts shall be as clusters of the vine, and the smell of thy nose like apples;(KJV-1611) Sos 7:8 Mwen fè lide moute sou pye palmis la pou m' keyi grap yo. Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen. Bouch ou gen sant ponm kajou!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:9 ============ SS 7:9 And the roof of thy mouth like the best wine for my beloved, that goeth down sweetly, causing the lips of those that are asleep to speak.(KJV-1611) Sos 7:9 Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven. Kite diven an koule pou mennaj mwen, Kite l' koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:10 ============ SS 7:10 I am my beloved's, and his desire is toward me.(KJV-1611) Sos 7:10 Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:11 ============ SS 7:11 Come, my beloved, let us go forth into the field; let us lodge in the villages.(KJV-1611) Sos 7:11 Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò. N'a pase nwit lan nan jaden yo.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:12 ============ SS 7:12 Let us get up early to the vineyards; let us see if the vine flourish, whether the tender grape appear, and the pomegranates bud forth: there will I give thee my loves.(KJV-1611) Sos 7:12 Nan maten, n'apral gade pye rezen yo pou wè si yo konmanse boujonnen, si flè yo ap louvri, si pye grenad yo ap fleri. Se la n'a karese nèt ale.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 7:13 ============ SS 7:13 The mandrakes give a smell, and at our gates are all manner of pleasant fruits, new and old, which I have laid up for thee, O my beloved.(KJV-1611) Sos 7:13 Ou ka pran sant mandragò yo. Devan papòt nou an gen tout kalite bon fwi, fwi ki fèk keyi ak fwi ki byen mi. Mennaj mwen, se mwen ki te sere yo pou ou.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:1 ============ SS 8:1 O that thou wert as my brother, that sucked the breasts of my mother! when I should find thee without, I would kiss thee; yea, I should not be despised.(KJV-1611) Sos 8:1 Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:2 ============ SS 8:2 I would lead thee, and bring thee into my mother's house, who would instruct me: I would cause thee to drink of spiced wine of the juice of my pomegranate.(KJV-1611) Sos 8:2 Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:3 ============ SS 8:3 His left hand should be under my head, and his right hand should embrace me.(KJV-1611) Sos 8:3 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:4 ============ SS 8:4 I charge you, O daughters of Jerusalem, that ye stir not up, nor awake my love, until he please.(KJV-1611) Sos 8:4 Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:5 ============ SS 8:5 Who is this that cometh up from the wilderness, leaning upon her beloved? I raised thee up under the apple tree: there thy mother brought thee forth: there she brought thee forth that bare thee.(KJV-1611) Sos 8:5 Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:6 ============ SS 8:6 Set me as a seal upon thine heart, as a seal upon thine arm: for love is strong as death; jealousy is cruel as the grave: the coals thereof are coals of fire, which hath a most vehement flame.(KJV-1611) Sos 8:6 Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:7 ============ SS 8:7 Many waters cannot quench love, neither can the floods drown it: if a man would give all the substance of his house for love, it would utterly be contemned.(KJV-1611) Sos 8:7 Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:8 ============ SS 8:8 We have a little sister, and she hath no breasts: what shall we do for our sister in the day when she shall be spoken for?(KJV-1611) Sos 8:8 Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'?(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:9 ============ SS 8:9 If she be a wall, we will build upon her a palace of silver: and if she be a door, we will inclose her with boards of cedar.(KJV-1611) Sos 8:9 Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:10 ============ SS 8:10 I am a wall, and my breasts like towers: then was I in his eyes as one that found favour.(KJV-1611) Sos 8:10 Se yon miray ranpa mwen ye. Tete m' tankou de fò. Se poutèt sa, nan je mennaj mwen, m' se yon fanm ki jwenn bonè m'.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:11 ============ SS 8:11 Solomon had a vineyard at Baalhamon; he let out the vineyard unto keepers; every one for the fruit thereof was to bring a thousand pieces of silver.(KJV-1611) Sos 8:11 Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil pyès ajan.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:12 ============ SS 8:12 My vineyard, which is mine, is before me: thou, O Solomon, must have a thousand, and those that keep the fruit thereof two hundred.(KJV-1611) Sos 8:12 Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la.(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:13 ============ SS 8:13 Thou that dwellest in the gardens, the companions hearken to thy voice: cause me to hear it.(KJV-1611) Sos 8:13 Zanmi kanmarad ap pare zòrèy pou tande ou. Fè m' tande vwa ou non, ou menm ki rete nan jaden yo!(Creole-HT) ======= Song of Solomon 8:14 ============ SS 8:14 Make haste, my beloved, and be thou like to a roe or to a young hart upon the mountains of spices.(KJV-1611) Sos 8:14 Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 1:1 ============ Isa 1:1 The vision of Isaiah the son of Amoz, which he saw concerning Judah and Jerusalem in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah.(KJV-1611) Isa 1:1 Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit Amòz la, wè sou rèy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:2 ============ Isa 1:2 Hear, O heavens, and give ear, O earth: for the LORD hath spoken, I have nourished and brought up children, and they have rebelled against me.(KJV-1611) Isa 1:2 Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:3 ============ Isa 1:3 The ox knoweth his owner, and the ass his master's crib: but Israel doth not know, my people doth not consider.(KJV-1611) Isa 1:3 Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:4 ============ Isa 1:4 Ah sinful nation, a people laden with iniquity, a seed of evildoers, children that are corrupters: they have forsaken the LORD, they have provoked the Holy One of Israel unto anger, they are gone away backward.(KJV-1611) Isa 1:4 Malè pou peyi nou an, kote tout moun ap viv nan peche! Malè pou pèp ki plen krim sou konsyans yo, pou ras moun sa yo k'ap fè sa ki mal, pou bann pitit sa yo ki fin pèvèti! Yo lage pye Bondye Seyè a! Yo pa okipe Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo vire do ba li.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:5 ============ Isa 1:5 Why should ye be stricken any more? ye will revolt more and more: the whole head is sick, and the whole heart faint.(KJV-1611) Isa 1:5 Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:6 ============ Isa 1:6 From the sole of the foot even unto the head there is no soundness in it; but wounds, and bruises, and putrifying sores: they have not been closed, neither bound up, neither mollified with ointment.(KJV-1611) Isa 1:6 Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:7 ============ Isa 1:7 Your country is desolate, your cities are burned with fire: your land, strangers devour it in your presence, and it is desolate, as overthrown by strangers.(KJV-1611) Isa 1:7 Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:8 ============ Isa 1:8 And the daughter of Zion is left as a cottage in a vineyard, as a lodge in a garden of cucumbers, as a besieged city.(KJV-1611) Isa 1:8 Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:9 ============ Isa 1:9 Except the LORD of hosts had left unto us a very small remnant, we should have been as Sodom, and we should have been like unto Gomorrah.(KJV-1611) Isa 1:9 Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:10 ============ Isa 1:10 Hear the word of the LORD, ye rulers of Sodom; give ear unto the law of our God, ye people of Gomorrah.(KJV-1611) Isa 1:10 Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:11 ============ Isa 1:11 To what purpose is the multitude of your sacrifices unto me? saith the LORD: I am full of the burnt offerings of rams, and the fat of fed beasts; and I delight not in the blood of bullocks, or of lambs, or of he goats.(KJV-1611) Isa 1:11 Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:12 ============ Isa 1:12 When ye come to appear before me, who hath required this at your hand, to tread my courts?(KJV-1611) Isa 1:12 Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou tanp mwen an?(Creole-HT) ======= Isaiah 1:13 ============ Isa 1:13 Bring no more vain oblations; incense is an abomination unto me; the new moons and sabbaths, the calling of assemblies, I cannot away with; it is iniquity, even the solemn meeting.(KJV-1611) Isa 1:13 Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:14 ============ Isa 1:14 Your new moons and your appointed feasts my soul hateth: they are a trouble unto me; I am weary to bear them.(KJV-1611) Isa 1:14 Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:15 ============ Isa 1:15 And when ye spread forth your hands, I will hide mine eyes from you: yea, when ye make many prayers, I will not hear: your hands are full of blood.(KJV-1611) Isa 1:15 Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!(Creole-HT) ======= Isaiah 1:16 ============ Isa 1:16 Wash you, make you clean; put away the evil of your doings from before mine eyes; cease to do evil;(KJV-1611) Isa 1:16 Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!(Creole-HT) ======= Isaiah 1:17 ============ Isa 1:17 Learn to do well; seek judgment, relieve the oppressed, judge the fatherless, plead for the widow.(KJV-1611) Isa 1:17 Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz timoun ki san papa ak fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:18 ============ Isa 1:18 Come now, and let us reason together, saith the LORD: though your sins be as scarlet, they shall be as white as snow; though they be red like crimson, they shall be as wool.(KJV-1611) Isa 1:18 Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:19 ============ Isa 1:19 If ye be willing and obedient, ye shall eat the good of the land:(KJV-1611) Isa 1:19 Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:20 ============ Isa 1:20 But if ye refuse and rebel, ye shall be devoured with the sword: for the mouth of the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Isa 1:20 Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:21 ============ Isa 1:21 How is the faithful city become an harlot! it was full of judgment; righteousness lodged in it; but now murderers.(KJV-1611) Isa 1:21 Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m' ak tout kè li. Koulye a, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l', yo pa t' fè lenjistis. Koulye a se renk ansasen!(Creole-HT) ======= Isaiah 1:22 ============ Isa 1:22 Thy silver is become dross, thy wine mixed with water:(KJV-1611) Isa 1:22 Lajan nou yo tounen labou, yo pa vo anyen! Bon diven nou yo tounen dlo!(Creole-HT) ======= Isaiah 1:23 ============ Isa 1:23 Thy princes are rebellious, and companions of thieves: every one loveth gifts, and followeth after rewards: they judge not the fatherless, neither doth the cause of the widow come unto them.(KJV-1611) Isa 1:23 Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:24 ============ Isa 1:24 Therefore saith the LORD, the LORD of hosts, the mighty One of Israel, Ah, I will ease me of mine adversaries, and avenge me of mine enemies:(KJV-1611) Isa 1:24 Se poutèt sa, koulye a, koute sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: Nou se lènmi m'. Nou pa vle wè m'. Mwen pral pran revanj mwen. Mwen p'ap kite nou ban m' traka ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:25 ============ Isa 1:25 And I will turn my hand upon thee, and purely purge away thy dross, and take away all thy tin:(KJV-1611) Isa 1:25 Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:26 ============ Isa 1:26 And I will restore thy judges as at the first, and thy counsellors as at the beginning: afterward thou shalt be called, The city of righteousness, the faithful city.(KJV-1611) Isa 1:26 Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:27 ============ Isa 1:27 Zion shall be redeemed with judgment, and her converts with righteousness.(KJV-1611) Isa 1:27 Seyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Seyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:28 ============ Isa 1:28 And the destruction of the transgressors and of the sinners shall be together, and they that forsake the LORD shall be consumed.(KJV-1611) Isa 1:28 Men, l'ap kraze sa k'ap fè sa ki mal yo ansanm ak sa k'ap viv nan peche yo. L'ap touye tou sa ki vire do bay Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:29 ============ Isa 1:29 For they shall be ashamed of the oaks which ye have desired, and ye shall be confounded for the gardens that ye have chosen.(KJV-1611) Isa 1:29 N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:30 ============ Isa 1:30 For ye shall be as an oak whose leaf fadeth, and as a garden that hath no water.(KJV-1611) Isa 1:30 N'ap tankou yon pye bwadchenn k'ap deperi, tankou yon jaden ki pa jwenn dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 1:31 ============ Isa 1:31 And the strong shall be as tow, and the maker of it as a spark, and they shall both burn together, and none shall quench them.(KJV-1611) Isa 1:31 Menm jan yon ti tensèl mete dife nan yon pil fachin bwa chèch, se konsa sa gwonèg yo ap fè a ap tounen yon tizon dife nan dèyè yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou sove yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:1 ============ Isa 2:1 The word that Isaiah the son of Amoz saw concerning Judah and Jerusalem.(KJV-1611) Isa 2:1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:(Creole-HT) ======= Isaiah 2:2 ============ Isa 2:2 And it shall come to pass in the last days, that the mountain of the LORD's house shall be established in the top of the mountains, and shall be exalted above the hills; and all nations shall flow unto it.(KJV-1611) Isa 2:2 Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:3 ============ Isa 2:3 And many people shall go and say, Come ye, and let us go up to the mountain of the LORD, to the house of the God of Jacob; and he will teach us of his ways, and we will walk in his paths: for out of Zion shall go forth the law, and the word of the LORD from Jerusalem.(KJV-1611) Isa 2:3 Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:4 ============ Isa 2:4 And he shall judge among the nations, and shall rebuke many people: and they shall beat their swords into plowshares, and their spears into pruninghooks: nation shall not lift up sword against nation, neither shall they learn war any more.(KJV-1611) Isa 2:4 L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:5 ============ Isa 2:5 O house of Jacob, come ye, and let us walk in the light of the LORD.(KJV-1611) Isa 2:5 Koulye a, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Seyè a ban nou an.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:6 ============ Isa 2:6 Therefore thou hast forsaken thy people the house of Jacob, because they be replenished from the east, and are soothsayers like the Philistines, and they please themselves in the children of strangers.(KJV-1611) Isa 2:6 Bondye, ou te lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo. Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, plen moun k'ap li nan zetwal. Peyi a tounen tankou peyi moun Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:7 ============ Isa 2:7 Their land also is full of silver and gold, neither is there any end of their treasures; their land is also full of horses, neither is there any end of their chariots:(KJV-1611) Isa 2:7 Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:8 ============ Isa 2:8 Their land also is full of idols; they worship the work of their own hands, that which their own fingers have made:(KJV-1611) Isa 2:8 Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:9 ============ Isa 2:9 And the mean man boweth down, and the great man humbleth himself: therefore forgive them not.(KJV-1611) Isa 2:9 Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!(Creole-HT) ======= Isaiah 2:10 ============ Isa 2:10 Enter into the rock, and hide thee in the dust, for fear of the LORD, and for the glory of his majesty.(KJV-1611) Isa 2:10 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:11 ============ Isa 2:11 The lofty looks of man shall be humbled, and the haughtiness of men shall be bowed down, and the LORD alone shall be exalted in that day.(KJV-1611) Isa 2:11 Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:12 ============ Isa 2:12 For the day of the LORD of hosts shall be upon every one that is proud and lofty, and upon every one that is lifted up; and he shall be brought low:(KJV-1611) Isa 2:12 Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:13 ============ Isa 2:13 And upon all the cedars of Lebanon, that are high and lifted up, and upon all the oaks of Bashan,(KJV-1611) Isa 2:13 L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:14 ============ Isa 2:14 And upon all the high mountains, and upon all the hills that are lifted up,(KJV-1611) Isa 2:14 L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:15 ============ Isa 2:15 And upon every high tower, and upon every fenced wall,(KJV-1611) Isa 2:15 L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:16 ============ Isa 2:16 And upon all the ships of Tarshish, and upon all pleasant pictures.(KJV-1611) Isa 2:16 L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:17 ============ Isa 2:17 And the loftiness of man shall be bowed down, and the haughtiness of men shall be made low: and the LORD alone shall be exalted in that day.(KJV-1611) Isa 2:17 P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:18 ============ Isa 2:18 And the idols he shall utterly abolish.(KJV-1611) Isa 2:18 Tout zidòl pral disparèt nèt ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:19 ============ Isa 2:19 And they shall go into the holes of the rocks, and into the caves of the earth, for fear of the LORD, and for the glory of his majesty, when he ariseth to shake terribly the earth.(KJV-1611) Isa 2:19 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:20 ============ Isa 2:20 In that day a man shall cast his idols of silver, and his idols of gold, which they made each one for himself to worship, to the moles and to the bats;(KJV-1611) Isa 2:20 Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:21 ============ Isa 2:21 To go into the clefts of the rocks, and into the tops of the ragged rocks, for fear of the LORD, and for the glory of his majesty, when he ariseth to shake terribly the earth.(KJV-1611) Isa 2:21 Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.(Creole-HT) ======= Isaiah 2:22 ============ Isa 2:22 Cease ye from man, whose breath is in his nostrils: for wherein is he to be accounted of ?(KJV-1611) Isa 2:22 Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?(Creole-HT) ======= Isaiah 3:1 ============ Isa 3:1 For, behold, the Lord, the LORD of hosts, doth take away from Jerusalem and from Judah the stay and the staff, the whole stay of bread, and the whole stay of water.(KJV-1611) Isa 3:1 Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:2 ============ Isa 3:2 The mighty man, and the man of war, the judge, and the prophet, and the prudent, and the ancient,(KJV-1611) Isa 3:2 P'ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P'ap gen jij ankò ni pwofèt. P'ap gen divinò ankò ni grandèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:3 ============ Isa 3:3 The captain of fifty, and the honourable man, and the counsellor, and the cunning artificer, and the eloquent orator.(KJV-1611) Isa 3:3 P'ap gen kaptenn, p'ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P'ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:4 ============ Isa 3:4 And I will give children to be their princes, and babes shall rule over them.(KJV-1611) Isa 3:4 M'ap pran jenn timoun san esperyans m'a mete chèf pou gouvènen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:5 ============ Isa 3:5 And the people shall be oppressed, every one by another, and every one by his neighbour: the child shall behave himself proudly against the ancient, and the base against the honourable.(KJV-1611) Isa 3:5 Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:6 ============ Isa 3:6 When a man shall take hold of his brother of the house of his father, saying, Thou hast clothing, be thou our ruler, and let this ruin be under thy hand:(KJV-1611) Isa 3:6 Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y'a di l' konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n'ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n'ap pase koulye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:7 ============ Isa 3:7 In that day shall he swear, saying, I will not be an healer; for in my house is neither bread nor clothing: make me not a ruler of the people.(KJV-1611) Isa 3:7 Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m' pa gen rad lakay mwen. Pa mete m' chèf sou pèp la.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:8 ============ Isa 3:8 For Jerusalem is ruined, and Judah is fallen: because their tongue and their doings are against the LORD, to provoke the eyes of his glory.(KJV-1611) Isa 3:8 Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:9 ============ Isa 3:9 The shew of their countenance doth witness against them; and they declare their sin as Sodom, they hide it not. Woe unto their soul! for they have rewarded evil unto themselves.(KJV-1611) Isa 3:9 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:10 ============ Isa 3:10 Say ye to the righteous, that it shall be well with him: for they shall eat the fruit of their doings.(KJV-1611) Isa 3:10 Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:11 ============ Isa 3:11 Woe unto the wicked! it shall be ill with him: for the reward of his hands shall be given him.(KJV-1611) Isa 3:11 Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:12 ============ Isa 3:12 As for my people, children are their oppressors, and women rule over them. O my people, they which lead thee cause thee to err, and destroy the way of thy paths.(KJV-1611) Isa 3:12 Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:13 ============ Isa 3:13 The LORD standeth up to plead, and standeth to judge the people.(KJV-1611) Isa 3:13 Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:14 ============ Isa 3:14 The LORD will enter into judgment with the ancients of his people, and the princes thereof: for ye have eaten up the vineyard; the spoil of the poor is in your houses.(KJV-1611) Isa 3:14 Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L'ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N'ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:15 ============ Isa 3:15 What mean ye that ye beat my people to pieces, and grind the faces of the poor? saith the Lord GOD of hosts.(KJV-1611) Isa 3:15 Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:16 ============ Isa 3:16 Moreover the LORD saith, Because the daughters of Zion are haughty, and walk with stretched forth necks and wanton eyes, walking and mincing as they go, and making a tinkling with their feet:(KJV-1611) Isa 3:16 Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:17 ============ Isa 3:17 Therefore the LORD will smite with a scab the crown of the head of the daughters of Zion, and the LORD will discover their secret parts.(KJV-1611) Isa 3:17 Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:18 ============ Isa 3:18 In that day the Lord will take away the bravery of their tinkling ornaments about their feet, and their cauls, and their round tires like the moon,(KJV-1611) Isa 3:18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,(Creole-HT) ======= Isaiah 3:19 ============ Isa 3:19 The chains, and the bracelets, and the mufflers,(KJV-1611) Isa 3:19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,(Creole-HT) ======= Isaiah 3:20 ============ Isa 3:20 The bonnets, and the ornaments of the legs, and the headbands, and the tablets, and the earrings,(KJV-1611) Isa 3:20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,(Creole-HT) ======= Isaiah 3:21 ============ Isa 3:21 The rings, and nose jewels,(KJV-1611) Isa 3:21 bag yo, zanno pou nen yo,(Creole-HT) ======= Isaiah 3:22 ============ Isa 3:22 The changeable suits of apparel, and the mantles, and the wimples, and the crisping pins,(KJV-1611) Isa 3:22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,(Creole-HT) ======= Isaiah 3:23 ============ Isa 3:23 The glasses, and the fine linen, and the hoods, and the vails.(KJV-1611) Isa 3:23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:24 ============ Isa 3:24 And it shall come to pass, that instead of sweet smell there shall be stink; and instead of a girdle a rent; and instead of well set hair baldness; and instead of a stomacher a girding of sackcloth; and burning instead of beauty.(KJV-1611) Isa 3:24 Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:25 ============ Isa 3:25 Thy men shall fall by the sword, and thy mighty in the war.(KJV-1611) Isa 3:25 Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.(Creole-HT) ======= Isaiah 3:26 ============ Isa 3:26 And her gates shall lament and mourn; and she being desolate shall sit upon the ground.(KJV-1611) Isa 3:26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 4:1 ============ Isa 4:1 And in that day seven women shall take hold of one man, saying, We will eat our own bread, and wear our own apparel: only let us be called by thy name, to take away our reproach.(KJV-1611) Isa 4:1 Jou sa a, sèt fanm pral kouri dèyè yon sèl gason, y'a di l': -Nou ka bay tèt nou manje. Nou ka biye tèt nou. Men, tanpri, kite nou di se mari nou ou ye pou nou pa wont devan moun!(Creole-HT) ======= Isaiah 4:2 ============ Isa 4:2 In that day shall the branch of the LORD be beautiful and glorious, and the fruit of the earth shall be excellent and comely for them that are escaped of Israel.(KJV-1611) Isa 4:2 Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 4:3 ============ Isa 4:3 And it shall come to pass, that he that is left in Zion, and he that remaineth in Jerusalem, shall be called holy, even every one that is written among the living in Jerusalem:(KJV-1611) Isa 4:3 Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 4:4 ============ Isa 4:4 When the Lord shall have washed away the filth of the daughters of Zion, and shall have purged the blood of Jerusalem from the midst thereof by the spirit of judgment, and by the spirit of burning.(KJV-1611) Isa 4:4 Lè Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 4:5 ============ Isa 4:5 And the LORD will create upon every dwelling place of mount Zion, and upon her assemblies, a cloud and smoke by day, and the shining of a flaming fire by night: for upon all the glory shall be a defence.(KJV-1611) Isa 4:5 Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 4:6 ============ Isa 4:6 And there shall be a tabernacle for a shadow in the day time from the heat, and for a place of refuge, and for a covert from storm and from rain.(KJV-1611) Isa 4:6 Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:1 ============ Isa 5:1 Now will I sing to my wellbeloved a song of my beloved touching his vineyard. My wellbeloved hath a vineyard in a very fruitful hill:(KJV-1611) Isa 5:1 Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m' ak jaden rezen l' lan. Zanmi m' lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:2 ============ Isa 5:2 And he fenced it, and gathered out the stones thereof, and planted it with the choicest vine, and built a tower in the midst of it, and also made a winepress therein: and he looked that it should bring forth grapes, and it brought forth wild grapes.(KJV-1611) Isa 5:2 Li bat tout tè a, li wete tout wòch ladan l'. Li plante pi bon kalite pye rezen ladan l'. Apre sa, li bati yon ti kay tou won nan mitan jaden an pou veye l'. Li fè yon basen pou kraze rezen yo. Li te kwè jaden an tapral ba li bon rezen. Men, se vye rezen si ase li bay.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:3 ============ Isa 5:3 And now, O inhabitants of Jerusalem, and men of Judah, judge, I pray you, betwixt me and my vineyard.(KJV-1611) Isa 5:3 Lè sa a, zanmi mwen an di: -Nou menm moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo, nou pral di m' kilès nan nou de a, jaden rezen an ak mwen menm, ki antò.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:4 ============ Isa 5:4 What could have been done more to my vineyard, that I have not done in it? wherefore, when I looked that it should bring forth grapes, brought it forth wild grapes?(KJV-1611) Isa 5:4 Kisa pou m' te fè pou jaden rezen an mwen pa t' fè? Mwen t'ap tann li ban m' bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?(Creole-HT) ======= Isaiah 5:5 ============ Isa 5:5 And now go to; I will tell you what I will do to my vineyard: I will take away the hedge thereof, and it shall be eaten up; and break down the wall thereof, and it shall be trodden down:(KJV-1611) Isa 5:5 Enben! M'ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l', pou yo kraze l' anba pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:6 ============ Isa 5:6 And I will lay it waste: it shall not be pruned, nor digged; but there shall come up briers and thorns: I will also command the clouds that they rain no rain upon it.(KJV-1611) Isa 5:6 M'ap fè l' tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l' ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l'. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:7 ============ Isa 5:7 For the vineyard of the LORD of hosts is the house of Israel, and the men of Judah his pleasant plant: and he looked for judgment, but behold oppression; for righteousness, but behold a cry.(KJV-1611) Isa 5:7 Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:8 ============ Isa 5:8 Woe unto them that join house to house, that lay field to field, till there be no place, that they may be placed alone in the midst of the earth!(KJV-1611) Isa 5:8 Madichon pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:9 ============ Isa 5:9 In mine ears said the LORD of hosts, Of a truth many houses shall be desolate, even great and fair, without inhabitant.(KJV-1611) Isa 5:9 Men sèman mwen tande Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, fè: Tout kay sa yo gen pou yo tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p'ap gen moun pou rete ladan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:10 ============ Isa 5:10 Yea, ten acres of vineyard shall yield one bath, and the seed of an homer shall yield an ephah.(KJV-1611) Isa 5:10 Jaden rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y'a rekòlte yon sèl mamit.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:11 ============ Isa 5:11 Woe unto them that rise up early in the morning, that they may follow strong drink; that continue until night, till wine inflame them!(KJV-1611) Isa 5:11 Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:12 ============ Isa 5:12 And the harp, and the viol, the tabret, and pipe, and wine, are in their feasts: but they regard not the work of the LORD, neither consider the operation of his hands.(KJV-1611) Isa 5:12 Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:13 ============ Isa 5:13 Therefore my people are gone into captivity, because they have no knowledge: and their honourable men are famished, and their multitude dried up with thirst.(KJV-1611) Isa 5:13 Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y'ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:14 ============ Isa 5:14 Therefore hell hath enlarged herself, and opened her mouth without measure: and their glory, and their multitude, and their pomp, and he that rejoiceth, shall descend into it.(KJV-1611) Isa 5:14 Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L'ap louvri pòtay li yo byen gran pou l' resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k'ap fè bri ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:15 ============ Isa 5:15 And the mean man shall be brought down, and the mighty man shall be humbled, and the eyes of the lofty shall be humbled:(KJV-1611) Isa 5:15 Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:16 ============ Isa 5:16 But the LORD of hosts shall be exalted in judgment, and God that is holy shall be sanctified in righteousness.(KJV-1611) Isa 5:16 Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:17 ============ Isa 5:17 Then shall the lambs feed after their manner, and the waste places of the fat ones shall strangers eat.(KJV-1611) Isa 5:17 Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:18 ============ Isa 5:18 Woe unto them that draw iniquity with cords of vanity, and sin as it were with a cart rope:(KJV-1611) Isa 5:18 Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen l' dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt gwo, n'ap rale yo dèyè nou tankou bèt k'ap rale kabwèt!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:19 ============ Isa 5:19 That say, Let him make speed, and hasten his work, that we may see it: and let the counsel of the Holy One of Israel draw nigh and come, that we may know it!(KJV-1611) Isa 5:19 Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l'. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:20 ============ Isa 5:20 Woe unto them that call evil good, and good evil; that put darkness for light, and light for darkness; that put bitter for sweet, and sweet for bitter!(KJV-1611) Isa 5:20 Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:21 ============ Isa 5:21 Woe unto them that are wise in their own eyes, and prudent in their own sight!(KJV-1611) Isa 5:21 Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:22 ============ Isa 5:22 Woe unto them that are mighty to drink wine, and men of strength to mingle strong drink:(KJV-1611) Isa 5:22 Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:23 ============ Isa 5:23 Which justify the wicked for reward, and take away the righteousness of the righteous from him!(KJV-1611) Isa 5:23 Men, nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:24 ============ Isa 5:24 Therefore as the fire devoureth the stubble, and the flame consumeth the chaff, so their root shall be as rottenness, and their blossom shall go up as dust: because they have cast away the law of the LORD of hosts, and despised the word of the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 5:24 Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:25 ============ Isa 5:25 Therefore is the anger of the LORD kindled against his people, and he hath stretched forth his hand against them, and hath smitten them: and the hills did tremble, and their carcases were torn in the midst of the streets. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.(KJV-1611) Isa 5:25 Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:26 ============ Isa 5:26 And he will lift up an ensign to the nations from far, and will hiss unto them from the end of the earth: and, behold, they shall come with speed swiftly:(KJV-1611) Isa 5:26 Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:27 ============ Isa 5:27 None shall be weary nor stumble among them; none shall slumber nor sleep; neither shall the girdle of their loins be loosed, nor the latchet of their shoes be broken:(KJV-1611) Isa 5:27 Pa gen yonn ladan yo ki bouke! Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay! Yo pa konn sa ki rele kabicha, ale wè dòmi! Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:28 ============ Isa 5:28 Whose arrows are sharp, and all their bows bent, their horses' hoofs shall be counted like flint, and their wheels like a whirlwind:(KJV-1611) Isa 5:28 Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn.(Creole-HT) ======= Isaiah 5:29 ============ Isa 5:29 Their roaring shall be like a lion, they shall roar like young lions: yea, they shall roar, and lay hold of the prey, and shall carry it away safe, and none shall deliver it.(KJV-1611) Isa 5:29 Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l' ale. Pa gen moun ki pou rache l' soti nan bouch yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 5:30 ============ Isa 5:30 And in that day they shall roar against them like the roaring of the sea: and if one look unto the land, behold darkness and sorrow, and the light is darkened in the heavens thereof.(KJV-1611) Isa 5:30 Jou sa a, y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!(Creole-HT) ======= Isaiah 6:1 ============ Isa 6:1 In the year that king Uzziah died I saw also the LORD sitting upon a throne, high and lifted up, and his train filled the temple.(KJV-1611) Isa 6:1 Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:2 ============ Isa 6:2 Above it stood the seraphims: each one had six wings; with twain he covered his face, and with twain he covered his feet, and with twain he did fly.(KJV-1611) Isa 6:2 Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:3 ============ Isa 6:3 And one cried unto another, and said, Holy, holy, holy, is the LORD of hosts: the whole earth is full of his glory.(KJV-1611) Isa 6:3 Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:4 ============ Isa 6:4 And the posts of the door moved at the voice of him that cried, and the house was filled with smoke.(KJV-1611) Isa 6:4 Tout poto kay Bondye a tranble lè bèt vivan yo t'ap rele konsa a. Lafimen te plen tout anndan tanp lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:5 ============ Isa 6:5 Then said I, Woe is me! for I am undone; because I am a man of unclean lips, and I dwell in the midst of a people of unclean lips: for mine eyes have seen the King, the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 6:5 Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:6 ============ Isa 6:6 Then flew one of the seraphims unto me, having a live coal in his hand, which he had taken with the tongs from off the altar:(KJV-1611) Isa 6:6 Yonn nan bèt vivan yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote m' avèk chabon dife a nan men li.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:7 ============ Isa 6:7 And he laid it upon my mouth, and said, Lo, this hath touched thy lips; and thine iniquity is taken away, and thy sin purged.(KJV-1611) Isa 6:7 Li kole l' sou bouch mwen, epi li di m' konsa! -Sa a kole sou po bouch ou. Koulye a, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:8 ============ Isa 6:8 Also I heard the voice of the Lord, saying, Whom shall I send, and who will go for us? Then said I, Here am I; send me.(KJV-1611) Isa 6:8 Apre sa, mwen tande Seyè a ki t'ap di: -Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: -Men mwen. Voye m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 6:9 ============ Isa 6:9 And he said, Go, and tell this people, Hear ye indeed, but understand not; and see ye indeed, but perceive not.(KJV-1611) Isa 6:9 Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!(Creole-HT) ======= Isaiah 6:10 ============ Isa 6:10 Make the heart of this people fat, and make their ears heavy, and shut their eyes; lest they see with their eyes, and hear with their ears, and understand with their heart, and convert, and be healed.(KJV-1611) Isa 6:10 Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:11 ============ Isa 6:11 Then said I, Lord, how long? And he answered, Until the cities be wasted without inhabitant, and the houses without man, and the land be utterly desolate,(KJV-1611) Isa 6:11 Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:12 ============ Isa 6:12 And the LORD have removed men far away, and there be a great forsaking in the midst of the land.(KJV-1611) Isa 6:12 Mwen menm, Seyè a, m'a mete tout moun deyò nan peyi a. Tout peyi a pral rete san moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 6:13 ============ Isa 6:13 But yet in it shall be a tenth, and it shall return, and shall be eaten: as a teil tree, and as an oak, whose substance is in them, when they cast their leaves: so the holy seed shall be the substance thereof.(KJV-1611) Isa 6:13 Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:1 ============ Isa 7:1 And it came to pass in the days of Ahaz the son of Jotham, the son of Uzziah, king of Judah, that Rezin the king of Syria, and Pekah the son of Remaliah, king of Israel, went up toward Jerusalem to war against it, but could not prevail against it.(KJV-1611) Isa 7:1 Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezen, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pa t' ka pran l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:2 ============ Isa 7:2 And it was told the house of David, saying, Syria is confederate with Ephraim. And his heart was moved, and the heart of his people, as the trees of the wood are moved with the wind.(KJV-1611) Isa 7:2 Yo pote nouvèl la bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi l'. Yo di l': -Lame peyi Siri a gen tan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè yo t'ap tranble tankou fèy bwa lè van ap soufle.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:3 ============ Isa 7:3 Then said the LORD unto Isaiah, Go forth now to meet Ahaz, thou, and Shearjashub thy son, at the end of the conduit of the upper pool in the highway of the fuller's field;(KJV-1611) Isa 7:3 Seyè a di Ezayi konsa: -Pran Chea-Jachoub, pitit gason ou lan, avè ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:4 ============ Isa 7:4 And say unto him, Take heed, and be quiet; fear not, neither be fainthearted for the two tails of these smoking firebrands, for the fierce anger of Rezin with Syria, and of the son of Remaliah.(KJV-1611) Isa 7:4 W'a di l' pou l' fè atansyon pou l' pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen gen kè sote pou de ti bout bwa dife k'ap fè lafimen, ki vle di pou wa Rezen, moun peyi Siri a, ak pou wa Pekaz, pitit Remalya a, k'ap fè kòlè.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:5 ============ Isa 7:5 Because Syria, Ephraim, and the son of Remaliah, have taken evil counsel against thee, saying,(KJV-1611) Isa 7:5 Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:6 ============ Isa 7:6 Let us go up against Judah, and vex it, and let us make a breach therein for us, and set a king in the midst of it, even the son of Tabeal:(KJV-1611) Isa 7:6 Yo di y'ap moute atake peyi Jida a. Yo pral kraponnen moun yo, yo pral fè kèk moun nan peyi a pran pozisyon pou yo pou yo ka mete men sou peyi a. Apre sa, yo pral pran pitit gason Tableyèl la, y'ap nonmen l' wa pou gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:7 ============ Isa 7:7 Thus saith the Lord GOD, It shall not stand, neither shall it come to pass.(KJV-1611) Isa 7:7 Enben! Men sa mwen menm, Seyè ki sèl mèt la, mwen di: Sa p'ap mache! Sa p'ap pase konsa!(Creole-HT) ======= Isaiah 7:8 ============ Isa 7:8 For the head of Syria is Damascus, and the head of Damascus is Rezin; and within threescore and five years shall Ephraim be broken, that it be not a people.(KJV-1611) Isa 7:8 Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:9 ============ Isa 7:9 And the head of Ephraim is Samaria, and the head of Samaria is Remaliah's son. If ye will not believe, surely ye shall not be established.(KJV-1611) Isa 7:9 Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:10 ============ Isa 7:10 Moreover the LORD spake again unto Ahaz, saying,(KJV-1611) Isa 7:10 Seyè a voye yon lòt komisyon bay wa Akaz. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Isaiah 7:11 ============ Isa 7:11 Ask thee a sign of the LORD thy God; ask it either in the depth, or in the height above.(KJV-1611) Isa 7:11 -Mande Seyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki soti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki soti anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:12 ============ Isa 7:12 But Ahaz said, I will not ask, neither will I tempt the LORD.(KJV-1611) Isa 7:12 Akaz reponn: -Mwen p'ap mande Seyè a anyen. Mwen p'ap sonde l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:13 ============ Isa 7:13 And he said, Hear ye now, O house of David; Is it a small thing for you to weary men, but will ye weary my God also?(KJV-1611) Isa 7:13 Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?(Creole-HT) ======= Isaiah 7:14 ============ Isa 7:14 Therefore the Lord himself shall give you a sign; Behold, a virgin shall conceive, and bear a son, and shall call his name Immanuel.(KJV-1611) Isa 7:14 Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).(Creole-HT) ======= Isaiah 7:15 ============ Isa 7:15 Butter and honey shall he eat, that he may know to refuse the evil, and choose the good.(KJV-1611) Isa 7:15 Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:16 ============ Isa 7:16 For before the child shall know to refuse the evil, and choose the good, the land that thou abhorrest shall be forsaken of both her kings.(KJV-1611) Isa 7:16 Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:17 ============ Isa 7:17 The LORD shall bring upon thee, and upon thy people, and upon thy father's house, days that have not come, from the day that Ephraim departed from Judah; even the king of Assyria.(KJV-1611) Isa 7:17 Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:18 ============ Isa 7:18 And it shall come to pass in that day, that the LORD shall hiss for the fly that is in the uttermost part of the rivers of Egypt, and for the bee that is in the land of Assyria.(KJV-1611) Isa 7:18 Lè sa a, Seyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò dlo larivyè Nil la. L'ap rele moun peyi Lasiri yo pou yo soti tankou lesen myèl lakay yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:19 ============ Isa 7:19 And they shall come, and shall rest all of them in the desolate valleys, and in the holes of the rocks, and upon all thorns, and upon all bushes.(KJV-1611) Isa 7:19 Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout jaden zèb.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:20 ============ Isa 7:20 In the same day shall the Lord shave with a razor that is hired, namely, by them beyond the river, by the king of Assyria, the head, and the hair of the feet: and it shall also consume the beard.(KJV-1611) Isa 7:20 Jou sa a, Seyè a ap fè wa peyi Lasiri a soti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:21 ============ Isa 7:21 And it shall come to pass in that day, that a man shall nourish a young cow, and two sheep;(KJV-1611) Isa 7:21 Jou sa a, chak moun va gen yon gazèl bèf ak de mouton pou yo chak.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:22 ============ Isa 7:22 And it shall come to pass, for the abundance of milk that they shall give he shall eat butter: for butter and honey shall every one eat that is left in the land.(KJV-1611) Isa 7:22 Lè sa a, bèt yo va bay lèt an kantite, tout moun va bwè lèt plen vant yo. Wi, moun ki va chape anba lanmò nan peyi a va bwè lèt ak siwo myèl ase.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:23 ============ Isa 7:23 And it shall come to pass in that day, that every place shall be, where there were a thousand vines at a thousand silverlings, it shall even be for briers and thorns.(KJV-1611) Isa 7:23 Jou sa a, kote ki te gen mil pyès an ajan va plen pikan ak raje.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:24 ============ Isa 7:24 With arrows and with bows shall men come thither; because all the land shall become briers and thorns.(KJV-1611) Isa 7:24 Si yon moun pa gen zam nan men l', li p'ap ka pase la. Wi, pikan ak raje pral kouvri tout peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 7:25 ============ Isa 7:25 And on all hills that shall be digged with the mattock, there shall not come thither the fear of briers and thorns: but it shall be for the sending forth of oxen, and for the treading of lesser cattle.(KJV-1611) Isa 7:25 Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:1 ============ Isa 8:1 Moreover the LORD said unto me, Take thee a great roll, and write in it with a man's pen concerning Mahershalalhashbaz.(KJV-1611) Isa 8:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Pran yon gwo wòch plat ak yon sizo mason. Ekri pawòl sa yo sou li an gwo lèt: Prese piye, prese devalize.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:2 ============ Isa 8:2 And I took unto me faithful witnesses to record, Uriah the priest, and Zechariah the son of Jeberechiah.(KJV-1611) Isa 8:2 Lèfini, mwen pran de moun serye, Ouri, yon prèt, ak Zakari, pitit Jeberekiya a, pou yo sèvi m' temwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:3 ============ Isa 8:3 And I went unto the prophetess; and she conceived, and bare a son. Then said the LORD to me, Call his name Mahershalalhashbaz.(KJV-1611) Isa 8:3 Apre sa, m' al kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di m' konsa: -W'a rele l': Prese piye, prese devalize.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:4 ============ Isa 8:4 For before the child shall have knowledge to cry, My father, and my mother, the riches of Damascus and the spoil of Samaria shall be taken away before the king of Assyria.(KJV-1611) Isa 8:4 Paske, anvan pitit la ka pale pou l' di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y'a pote yo ale bay wa pa yo a.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:5 ============ Isa 8:5 The LORD spake also unto me again, saying,(KJV-1611) Isa 8:5 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Isaiah 8:6 ============ Isa 8:6 Forasmuch as this people refuseth the waters of Shiloah that go softly, and rejoice in Rezin and Remaliah's son;(KJV-1611) Isa 8:6 -Paske pèp la meprize dlo larivyè Siloe a k'ap koule tou dousman, paske yo tranble devan wa Rezen ak wa Pekak, pitit Remalya a,(Creole-HT) ======= Isaiah 8:7 ============ Isa 8:7 Now therefore, behold, the Lord bringeth up upon them the waters of the river, strong and many, even the king of Assyria, and all his glory: and he shall come up over all his channels, and go over all his banks:(KJV-1611) Isa 8:7 mwen menm, Seyè a, m'ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L'ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l'ap desann. L'ap gonfle, l'ap debòde sou tout rivaj li yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:8 ============ Isa 8:8 And he shall pass through Judah; he shall overflow and go over, he shall reach even to the neck; and the stretching out of his wings shall fill the breadth of thy land, O Immanuel.(KJV-1611) Isa 8:8 L'ap anvayi tout peyi Jida a, l'ap rive ra kou, l'ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L'ap pwoteje peyi a anba zèl li!(Creole-HT) ======= Isaiah 8:9 ============ Isa 8:9 Associate yourselves, O ye people, and ye shall be broken in pieces; and give ear, all ye of far countries: gird yourselves, and ye shall be broken in pieces; gird yourselves, and ye shall be broken in pieces.(KJV-1611) Isa 8:9 Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!(Creole-HT) ======= Isaiah 8:10 ============ Isa 8:10 Take counsel together, and it shall come to nought; speak the word, and it shall not stand: for God is with us.(KJV-1611) Isa 8:10 Nou mèt fè plan nou. Men, sa p'ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 8:11 ============ Isa 8:11 For the LORD spake thus to me with a strong hand, and instructed me that I should not walk in the way of this people, saying,(KJV-1611) Isa 8:11 Wi, Seyè a lonje men l', li pran m'. Li tou pale m' pou m' pa swiv chemen pèp la t'ap swiv la. Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Isaiah 8:12 ============ Isa 8:12 Say ye not, A confederacy, to all them to whom this people shall say, A confederacy; neither fear ye their fear, nor be afraid.(KJV-1611) Isa 8:12 Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:13 ============ Isa 8:13 Sanctify the LORD of hosts himself; and let him be your fear, and let him be your dread.(KJV-1611) Isa 8:13 Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:14 ============ Isa 8:14 And he shall be for a sanctuary; but for a stone of stumbling and for a rock of offence to both the houses of Israel, for a gin and for a snare to the inhabitants of Jerusalem.(KJV-1611) Isa 8:14 Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M'ap tounen yon wòch k'ap fè nou bite, yon wòch k'ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M'ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:15 ============ Isa 8:15 And many among them shall stumble, and fall, and be broken, and be snared, and be taken.(KJV-1611) Isa 8:15 Anpil moun pral bite, y'ap tonbe, y'ap kase ren yo. Y'ap tonbe nan pèlen an, y'ap pran ladan l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:16 ============ Isa 8:16 Bind up the testimony, seal the law among my disciples.(KJV-1611) Isa 8:16 Se pou patizan m' yo kenbe pawòl Bondye di m' lan. Se pou yo kenbe lòd Bondye yo nan kè yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 8:17 ============ Isa 8:17 And I will wait upon the LORD, that hideth his face from the house of Jacob, and I will look for him.(KJV-1611) Isa 8:17 Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:18 ============ Isa 8:18 Behold, I and the children whom the LORD hath given me are for signs and for wonders in Israel from the LORD of hosts, which dwelleth in mount Zion.(KJV-1611) Isa 8:18 Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:19 ============ Isa 8:19 And when they shall say unto you, Seek unto them that have familiar spirits, and unto wizards that peep, and that mutter: should not a people seek unto their God? for the living to the dead?(KJV-1611) Isa 8:19 Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?(Creole-HT) ======= Isaiah 8:20 ============ Isa 8:20 To the law and to the testimony: if they speak not according to this word, it is because there is no light in them.(KJV-1611) Isa 8:20 W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 8:21 ============ Isa 8:21 And they shall pass through it, hardly bestead and hungry: and it shall come to pass, that when they shall be hungry, they shall fret themselves, and curse their king and their God, and look upward.(KJV-1611) Isa 8:21 Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou pral fè yo move, y'a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl,(Creole-HT) ======= Isaiah 8:22 ============ Isa 8:22 And they shall look unto the earth; and behold trouble and darkness, dimness of anguish; and they shall be driven to darkness.(KJV-1611) Isa 8:22 y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:1 ============ Isa 9:1 Nevertheless the dimness shall not be such as was in her vexation, when at the first he lightly afflicted the land of Zebulun and the land of Naphtali, and afterward did more grievously afflict her by the way of the sea, beyond Jordan, in Galilee of the nations.(KJV-1611) Isa 9:1 Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:2 ============ Isa 9:2 The people that walked in darkness have seen a great light: they that dwell in the land of the shadow of death, upon them hath the light shined.(KJV-1611) Isa 9:2 Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:3 ============ Isa 9:3 Thou hast multiplied the nation, and not increased the joy: they joy before thee according to the joy in harvest, and as men rejoice when they divide the spoil.(KJV-1611) Isa 9:3 Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:4 ============ Isa 9:4 For thou hast broken the yoke of his burden, and the staff of his shoulder, the rod of his oppressor, as in the day of Midian.(KJV-1611) Isa 9:4 Paske ou kraze bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, baton ki t'ap peze zepòl yo a! Wi, Seyè! Ou kraze bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou te kraze moun Madyan yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:5 ============ Isa 9:5 For every battle of the warrior is with confused noise, and garments rolled in blood; but this shall be with burning and fuel of fire.(KJV-1611) Isa 9:5 Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:6 ============ Isa 9:6 For unto us a child is born, unto us a son is given: and the government shall be upon his shoulder: and his name shall be called Wonderful, Counsellor, The mighty God, The everlasting Father, The Prince of Peace.(KJV-1611) Isa 9:6 Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:7 ============ Isa 9:7 Of the increase of his government and peace there shall be no end, upon the throne of David, and upon his kingdom, to order it, and to establish it with judgment and with justice from henceforth even for ever. The zeal of the LORD of hosts will perform this.(KJV-1611) Isa 9:7 Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:8 ============ Isa 9:8 The Lord sent a word into Jacob, and it hath lighted upon Israel.(KJV-1611) Isa 9:8 Seyè a fè konnen desizyon l' sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:9 ============ Isa 9:9 And all the people shall know, even Ephraim and the inhabitant of Samaria, that say in the pride and stoutness of heart,(KJV-1611) Isa 9:9 Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l' te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di:(Creole-HT) ======= Isaiah 9:10 ============ Isa 9:10 The bricks are fallen down, but we will build with hewn stones: the sycomores are cut down, but we will change them into cedars.(KJV-1611) Isa 9:10 Kay brik yo kraze, n'a bati lòt ak wòch taye. Yo koupe poto sikomò yo jete, n'a fè lòt ak bwa sèd mete nan plas yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:11 ============ Isa 9:11 Therefore the LORD shall set up the adversaries of Rezin against him, and join his enemies together;(KJV-1611) Isa 9:11 Seyè a fè lènmi pèp Izrayèl la leve dèyè l'. L'ap fè chèf lame wa Rezen lan atake l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:12 ============ Isa 9:12 The Syrians before, and the Philistines behind; and they shall devour Israel with open mouth. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.(KJV-1611) Isa 9:12 Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:13 ============ Isa 9:13 For the people turneth not unto him that smiteth them, neither do they seek the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 9:13 Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:14 ============ Isa 9:14 Therefore the LORD will cut off from Israel head and tail, branch and rush, in one day.(KJV-1611) Isa 9:14 Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:15 ============ Isa 9:15 The ancient and honourable, he is the head; and the prophet that teacheth lies, he is the tail.(KJV-1611) Isa 9:15 Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:16 ============ Isa 9:16 For the leaders of this people cause them to err; and they that are led of them are destroyed.(KJV-1611) Isa 9:16 Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:17 ============ Isa 9:17 Therefore the LORD shall have no joy in their young men, neither shall have mercy on their fatherless and widows: for every one is an hypocrite and an evildoer, and every mouth speaketh folly. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.(KJV-1611) Isa 9:17 Se poutèt sa, Seyè a p'ap pran priyè nan men jenn gason yo. L'ap san pitye pou timoun ki san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo, paske se tout pèp la nèt ki pa gen respè pou Bondye, yo tout ap fè mechanste. Se renk move pawòl ase ki nan bouch yo. Men se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:18 ============ Isa 9:18 For wickedness burneth as the fire: it shall devour the briers and thorns, and shall kindle in the thickets of the forest, and they shall mount up like the lifting up of smoke.(KJV-1611) Isa 9:18 Mechanste kaye nan mitan pèp la, tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan syèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:19 ============ Isa 9:19 Through the wrath of the LORD of hosts is the land darkened, and the people shall be as the fuel of the fire: no man shall spare his brother.(KJV-1611) Isa 9:19 Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.(Creole-HT) ======= Isaiah 9:20 ============ Isa 9:20 And he shall snatch on the right hand, and be hungry; and he shall eat on the left hand, and they shall not be satisfied: they shall eat every man the flesh of his own arm:(KJV-1611) Isa 9:20 Yo vire adwat, yo pran sa yo jwenn, yo grangou toujou. Yo vire agoch, yo devore sa yo jwenn, se atò yo grangou. Yo menm rive manje pwòp pitit yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 9:21 ============ Isa 9:21 Manasseh, Ephraim; and Ephraim, Manasseh: and they together shall be against Judah. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.(KJV-1611) Isa 9:21 Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:1 ============ Isa 10:1 Woe unto them that decree unrighteous decrees, and that write grievousness which they have prescribed;(KJV-1611) Isa 10:1 Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:2 ============ Isa 10:2 To turn aside the needy from judgment, and to take away the right from the poor of my people, that widows may be their prey, and that they may rob the fatherless!(KJV-1611) Isa 10:2 Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:3 ============ Isa 10:3 And what will ye do in the day of visitation, and in the desolation which shall come from far? to whom will ye flee for help? and where will ye leave your glory?(KJV-1611) Isa 10:3 Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?(Creole-HT) ======= Isaiah 10:4 ============ Isa 10:4 Without me they shall bow down under the prisoners, and they shall fall under the slain. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.(KJV-1611) Isa 10:4 Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:5 ============ Isa 10:5 O Assyrian, the rod of mine anger, and the staff in their hand is mine indignation.(KJV-1611) Isa 10:5 Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:6 ============ Isa 10:6 I will send him against an hypocritical nation, and against the people of my wrath will I give him a charge, to take the spoil, and to take the prey, and to tread them down like the mire of the streets.(KJV-1611) Isa 10:6 Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:7 ============ Isa 10:7 Howbeit he meaneth not so, neither doth his heart think so; but it is in his heart to destroy and cut off nations not a few.(KJV-1611) Isa 10:7 Men, wa peyi Lasiri a pa t' wè bagay la konsa. Se pa konsa li te konprann li. Paske lide li te met nan tèt li se kraze brize, se disparèt anpil anpil nasyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:8 ============ Isa 10:8 For he saith, Are not my princes altogether kings?(KJV-1611) Isa 10:8 Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:9 ============ Isa 10:9 Is not Calno as Carchemish? is not Hamath as Arpad? is not Samaria as Damascus?(KJV-1611) Isa 10:9 Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:10 ============ Isa 10:10 As my hand hath found the kingdoms of the idols, and whose graven images did excel them of Jerusalem and of Samaria;(KJV-1611) Isa 10:10 Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,(Creole-HT) ======= Isaiah 10:11 ============ Isa 10:11 Shall I not, as I have done unto Samaria and her idols, so do to Jerusalem and her idols?(KJV-1611) Isa 10:11 menm jan nou wè mwen te aji ak Samari ak zidòl li yo, se konsa m'ap aji ak lavil Jerizalèm ak pòtre l'ap adore yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:12 ============ Isa 10:12 Wherefore it shall come to pass, that when the Lord hath performed his whole work upon mount Zion and on Jerusalem, I will punish the fruit of the stout heart of the king of Assyria, and the glory of his high looks.(KJV-1611) Isa 10:12 Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:13 ============ Isa 10:13 For he saith, By the strength of my hand I have done it, and by my wisdom; for I am prudent: and I have removed the bounds of the people, and have robbed their treasures, and I have put down the inhabitants like a valiant man:(KJV-1611) Isa 10:13 Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:14 ============ Isa 10:14 And my hand hath found as a nest the riches of the people: and as one gathereth eggs that are left, have I gathered all the earth; and there was none that moved the wing, or opened the mouth, or peeped.(KJV-1611) Isa 10:14 Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:15 ============ Isa 10:15 Shall the axe boast itself against him that heweth therewith? or shall the saw magnify itself against him that shaketh it? as if the rod should shake itself against them that lift it up, or as if the staff should lift up itself, as if it were no wood.(KJV-1611) Isa 10:15 Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:16 ============ Isa 10:16 Therefore shall the Lord, the Lord of hosts, send among his fat ones leanness; and under his glory he shall kindle a burning like the burning of a fire.(KJV-1611) Isa 10:16 Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:17 ============ Isa 10:17 And the light of Israel shall be for a fire, and his Holy One for a flame: and it shall burn and devour his thorns and his briers in one day;(KJV-1611) Isa 10:17 Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:18 ============ Isa 10:18 And shall consume the glory of his forest, and of his fruitful field, both soul and body: and they shall be as when a standard-bearer fainteth.(KJV-1611) Isa 10:18 Li pral detwi gwo rakbwa yo ak bèl jaden yo nèt. Depi nan rasin yo jouk nan fèy yo, pyebwa yo ap cheche, menm jan yon move maladi souse yon moun jouk li touye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:19 ============ Isa 10:19 And the rest of the trees of his forest shall be few, that a child may write them.(KJV-1611) Isa 10:19 P'ap rete anpil pyebwa nan rak li yo ankò. Nenpòt timoun piti ka konte ti rès la.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:20 ============ Isa 10:20 And it shall come to pass in that day, that the remnant of Israel, and such as are escaped of the house of Jacob, shall no more again stay upon him that smote them; but shall stay upon the LORD, the Holy One of Israel, in truth.(KJV-1611) Isa 10:20 Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:21 ============ Isa 10:21 The remnant shall return, even the remnant of Jacob, unto the mighty God.(KJV-1611) Isa 10:21 Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:22 ============ Isa 10:22 For though thy people Israel be as the sand of the sea, yet a remnant of them shall return: the consumption decreed shall overflow with righteousness.(KJV-1611) Isa 10:22 Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:23 ============ Isa 10:23 For the Lord GOD of hosts shall make a consumption, even determined, in the midst of all the land.(KJV-1611) Isa 10:23 Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:24 ============ Isa 10:24 Therefore thus saith the Lord GOD of hosts, O my people that dwellest in Zion, be not afraid of the Assyrian: he shall smite thee with a rod, and shall lift up his staff against thee, after the manner of Egypt.(KJV-1611) Isa 10:24 Se poutèt sa, Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a di konsa: -Nou menm, pèp mwen ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè moun peyi Lasiri yo k'ap woule nou anba baton, k'ap leve men yo pou yo frape nou menm jan moun peyi Lejip yo te fè nou an.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:25 ============ Isa 10:25 For yet a very little while, and the indignation shall cease, and mine anger in their destruction.(KJV-1611) Isa 10:25 Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:26 ============ Isa 10:26 And the LORD of hosts shall stir up a scourge for him according to the slaughter of Midian at the rock of Oreb: and as his rod was upon the sea, so shall he lift it up after the manner of Egypt.(KJV-1611) Isa 10:26 Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:27 ============ Isa 10:27 And it shall come to pass in that day, that his burden shall be taken away from off thy shoulder, and his yoke from off thy neck, and the yoke shall be destroyed because of the anointing.(KJV-1611) Isa 10:27 Lè jou sa a va rive, m'a wete chay sa a sou zepòl nou; m'a delivre nou anba moun peyi Lasiri yo. Nou p'ap nan mizè ankò, n'ap gen tou sa n'a bezwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:28 ============ Isa 10:28 He is come to Aiath, he is passed to Migron; at Michmash he hath laid up his carriages:(KJV-1611) Isa 10:28 Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:29 ============ Isa 10:29 They are gone over the passage: they have taken up their lodging at Geba; Ramah is afraid; Gibeah of Saul is fled.(KJV-1611) Isa 10:29 Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:30 ============ Isa 10:30 Lift up thy voice, O daughter of Gallim: cause it to be heard unto Laish, O poor Anathoth.(KJV-1611) Isa 10:30 Nou menm moun lavil Gatim, pete rele! Nou menm moun lavil Layich, mache sou piga nou! Nou menm moun lavil Anatòt, nou nan ka!(Creole-HT) ======= Isaiah 10:31 ============ Isa 10:31 Madmenah is removed; the inhabitants of Gebim gather themselves to flee.(KJV-1611) Isa 10:31 Moun lavil Madmena yo chape kò yo. Moun lavil Gebim yo al kache.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:32 ============ Isa 10:32 As yet shall he remain at Nob that day: he shall shake his hand against the mount of the daughter of Zion, the hill of Jerusalem.(KJV-1611) Isa 10:32 Jòdi a, lènmi an fè yon rete lavil Nòb. L'ap giyonnen moun ki rete sou mòn Siyon yo. L'ap lonje dwèt sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:33 ============ Isa 10:33 Behold, the Lord, the LORD of hosts, shall lop the bough with terror: and the high ones of stature shall be hewn down, and the haughty shall be humbled.(KJV-1611) Isa 10:33 Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.(Creole-HT) ======= Isaiah 10:34 ============ Isa 10:34 And he shall cut down the thickets of the forest with iron, and Lebanon shall fall by a mighty one.(KJV-1611) Isa 10:34 L'ap koupe yo tankou lè y'ap mete rach nan gwo pyebwa nan rak. Bèl pyebwa ki sou mòn Liban yo pral kouche plat atè!(Creole-HT) ======= Isaiah 11:1 ============ Isa 11:1 And there shall come forth a rod out of the stem of Jesse, and a Branch shall grow out of his roots:(KJV-1611) Isa 11:1 Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:2 ============ Isa 11:2 And the spirit of the LORD shall rest upon him, the spirit of wisdom and understanding, the spirit of counsel and might, the spirit of knowledge and of the fear of the LORD;(KJV-1611) Isa 11:2 Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:3 ============ Isa 11:3 And shall make him of quick understanding in the fear of the LORD: and he shall not judge after the sight of his eyes, neither reprove after the hearing of his ears:(KJV-1611) Isa 11:3 L'a pran plezi l' pou l' obeyi Seyè a nan tout bagay. Li p'ap gade sou figi moun pou l' jije yo. Li p'ap rete sou sa yo vin di l' pou l' rann jijman.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:4 ============ Isa 11:4 But with righteousness shall he judge the poor, and reprove with equity for the meek of the earth: and he shall smite the earth: with the rod of his mouth, and with the breath of his lips shall he slay the wicked.(KJV-1611) Isa 11:4 L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:5 ============ Isa 11:5 And righteousness shall be the girdle of his loins, and faithfulness the girdle of his reins.(KJV-1611) Isa 11:5 L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!(Creole-HT) ======= Isaiah 11:6 ============ Isa 11:6 The wolf also shall dwell with the lamb, and the leopard shall lie down with the kid; and the calf and the young lion and the fatling together; and a little child shall lead them.(KJV-1611) Isa 11:6 Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:7 ============ Isa 11:7 And the cow and the bear shall feed; their young ones shall lie down together: and the lion shall eat straw like the ox.(KJV-1611) Isa 11:7 Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:8 ============ Isa 11:8 And the sucking child shall play on the hole of the asp, and the weaned child shall put his hand on the cockatrice' den.(KJV-1611) Isa 11:8 Ti bebe nan tete va jwe devan twou koulèv. Timoun fèk sevre va lonje men yo nan bouch twou sèpan san anyen p'ap rive yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:9 ============ Isa 11:9 They shall not hurt nor destroy in all my holy mountain: for the earth shall be full of the knowledge of the LORD, as the waters cover the sea.(KJV-1611) Isa 11:9 Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:10 ============ Isa 11:10 And in that day there shall be a root of Jesse, which shall stand for an ensign of the people; to it shall the Gentiles seek: and his rest shall be glorious.(KJV-1611) Isa 11:10 Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:11 ============ Isa 11:11 And it shall come to pass in that day, that the Lord shall set his hand again the second time to recover the remnant of his people, which shall be left, from Assyria, and from Egypt, and from Pathros, and from Cush, and from Elam, and from Shinar, and from Hamath, and from the islands of the sea.(KJV-1611) Isa 11:11 Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:12 ============ Isa 11:12 And he shall set up an ensign for the nations, and shall assemble the outcasts of Israel, and gather together the dispersed of Judah from the four corners of the earth.(KJV-1611) Isa 11:12 Seyè a pral leve yon drapo pou l' fè moun lòt nasyon yo wè li pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki te gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:13 ============ Isa 11:13 The envy also of Ephraim shall depart, and the adversaries of Judah shall be cut off: Ephraim shall not envy Judah, and Judah shall not vex Ephraim.(KJV-1611) Isa 11:13 Moun peyi Efrayim yo p'ap fè jalouzi ankò. Peyi Jida a p'ap kenbe moun nan kè ankò. Moun peyi Efrayim yo p'ap anvye sò moun Jida yo. Moun Jida yo p'ap lènmi ankò ak moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:14 ============ Isa 11:14 But they shall fly upon the shoulders of the Philistines toward the west; they shall spoil them of the east together: they shall lay their hand upon Edom and Moab; and the children of Ammon shall obey them.(KJV-1611) Isa 11:14 Y'ap mete ansanm, yo pral atake moun Filisti yo ki bò solèy kouche, yo pral piye moun k'ap viv bò solèy leve yo. Yo pral donminen sou peyi Edon ak sou peyi Moab. Moun peyi Amon pral soumèt devan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:15 ============ Isa 11:15 And the LORD shall utterly destroy the tongue of the Egyptian sea; and with his mighty wind shall he shake his hand over the river, and shall smite it in the seven streams, and make men go over dryshod.(KJV-1611) Isa 11:15 Seyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L'ap fè l' tounen sèt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l' ak tout sapat nan pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 11:16 ============ Isa 11:16 And there shall be an highway for the remnant of his people, which shall be left, from Assyria; like as it was to Israel in the day that he came up out of the land of Egypt.(KJV-1611) Isa 11:16 L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fè l' pou pèp Izrayèl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.(Creole-HT) ======= Isaiah 12:1 ============ Isa 12:1 And in that day thou shalt say, O LORD, I will praise thee: though thou wast angry with me, thine anger is turned away, and thou comfortedst me.(KJV-1611) Isa 12:1 Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.(Creole-HT) ======= Isaiah 12:2 ============ Isa 12:2 Behold, God is my salvation; I will trust, and not be afraid: for the LORD JEHOVAH is my strength and my song; he also is become my salvation.(KJV-1611) Isa 12:2 Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 12:3 ============ Isa 12:3 Therefore with joy shall ye draw water out of the wells of salvation.(KJV-1611) Isa 12:3 Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 12:4 ============ Isa 12:4 And in that day shall ye say, Praise the LORD, call upon his name, declare his doings among the people, make mention that his name is exalted.(KJV-1611) Isa 12:4 Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 12:5 ============ Isa 12:5 Sing unto the LORD; for he hath done excellent things: this is known in all the earth.(KJV-1611) Isa 12:5 Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 12:6 ============ Isa 12:6 Cry out and shout, thou inhabitant of Zion: for great is the Holy One of Israel in the midst of thee.(KJV-1611) Isa 12:6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:1 ============ Isa 13:1 The burden of Babylon, which Isaiah the son of Amoz did see.(KJV-1611) Isa 13:1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:(Creole-HT) ======= Isaiah 13:2 ============ Isa 13:2 Lift ye up a banner upon the high mountain, exalt the voice unto them, shake the hand, that they may go into the gates of the nobles.(KJV-1611) Isa 13:2 -Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 13:3 ============ Isa 13:3 I have commanded my sanctified ones, I have also called my mighty ones for mine anger, even them that rejoice in my highness.(KJV-1611) Isa 13:3 Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:4 ============ Isa 13:4 The noise of a multitude in the mountains, like as of a great people; a tumultuous noise of the kingdoms of nations gathered together: the LORD of hosts mustereth the host of the battle.(KJV-1611) Isa 13:4 Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:5 ============ Isa 13:5 They come from a far country, from the end of heaven, even the LORD, and the weapons of his indignation, to destroy the whole land.(KJV-1611) Isa 13:5 Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:6 ============ Isa 13:6 Howl ye; for the day of the LORD is at hand; it shall come as a destruction from the Almighty.(KJV-1611) Isa 13:6 Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:7 ============ Isa 13:7 Therefore shall all hands be faint, and every man's heart shall melt:(KJV-1611) Isa 13:7 Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase!(Creole-HT) ======= Isaiah 13:8 ============ Isa 13:8 And they shall be afraid: pangs and sorrows shall take hold of them; they shall be in pain as a woman that travaileth: they shall be amazed one at another; their faces shall be as flames.(KJV-1611) Isa 13:8 Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:9 ============ Isa 13:9 Behold, the day of the LORD cometh, cruel both with wrath and fierce anger, to lay the land desolate: and he shall destroy the sinners thereof out of it.(KJV-1611) Isa 13:9 Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!(Creole-HT) ======= Isaiah 13:10 ============ Isa 13:10 For the stars of heaven and the constellations thereof shall not give their light: the sun shall be darkened in his going forth, and the moon shall not cause her light to shine.(KJV-1611) Isa 13:10 Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:11 ============ Isa 13:11 And I will punish the world for their evil, and the wicked for their iniquity; and I will cause the arrogancy of the proud to cease, and will lay low the haughtiness of the terrible.(KJV-1611) Isa 13:11 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:12 ============ Isa 13:12 I will make a man more precious than fine gold; even a man than the golden wedge of Ophir.(KJV-1611) Isa 13:12 Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:13 ============ Isa 13:13 Therefore I will shake the heavens, and the earth shall remove out of her place, in the wrath of the LORD of hosts, and in the day of his fierce anger.(KJV-1611) Isa 13:13 Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:14 ============ Isa 13:14 And it shall be as the chased roe, and as a sheep that no man taketh up: they shall every man turn to his own people, and flee every one into his own land.(KJV-1611) Isa 13:14 Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:15 ============ Isa 13:15 Every one that is found shall be thrust through; and every one that is joined unto them shall fall by the sword.(KJV-1611) Isa 13:15 Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:16 ============ Isa 13:16 Their children also shall be dashed to pieces before their eyes; their houses shall be spoiled, and their wives ravished.(KJV-1611) Isa 13:16 Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:17 ============ Isa 13:17 Behold, I will stir up the Medes against them, which shall not regard silver; and as for gold, they shall not delight in it.(KJV-1611) Isa 13:17 Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:18 ============ Isa 13:18 Their bows also shall dash the young men to pieces; and they shall have no pity on the fruit of the womb; their eyes shall not spare children.(KJV-1611) Isa 13:18 Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:19 ============ Isa 13:19 And Babylon, the glory of kingdoms, the beauty of the Chaldees' excellency, shall be as when God overthrew Sodom and Gomorrah.(KJV-1611) Isa 13:19 Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:20 ============ Isa 13:20 It shall never be inhabited, neither shall it be dwelt in from generation to generation: neither shall the Arabian pitch tent there; neither shall the shepherds make their fold there.(KJV-1611) Isa 13:20 Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:21 ============ Isa 13:21 But wild beasts of the desert shall lie there; and their houses shall be full of doleful creatures; and owls shall dwell there, and satyrs shall dance there.(KJV-1611) Isa 13:21 Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda.(Creole-HT) ======= Isaiah 13:22 ============ Isa 13:22 And the wild beasts of the islands shall cry in their desolate houses, and dragons in their pleasant palaces: and her time is near to come, and her days shall not be prolonged.(KJV-1611) Isa 13:22 Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l' prèt pou bout.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:1 ============ Isa 14:1 For the LORD will have mercy on Jacob, and will yet choose Israel, and set them in their own land: and the strangers shall be joined with them, and they shall cleave to the house of Jacob.(KJV-1611) Isa 14:1 Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:2 ============ Isa 14:2 And the people shall take them, and bring them to their place: and the house of Israel shall possess them in the land of the LORD for servants and handmaids: and they shall take them captives, whose captives they were; and they shall rule over their oppressors.(KJV-1611) Isa 14:2 Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:3 ============ Isa 14:3 And it shall come to pass in the day that the LORD shall give thee rest from thy sorrow, and from thy fear, and from the hard bondage wherein thou wast made to serve,(KJV-1611) Isa 14:3 Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:4 ============ Isa 14:4 That thou shalt take up this proverb against the king of Babylon, and say, How hath the oppressor ceased! the golden city ceased!(KJV-1611) Isa 14:4 Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!(Creole-HT) ======= Isaiah 14:5 ============ Isa 14:5 The LORD hath broken the staff of the wicked, and the sceptre of the rulers.(KJV-1611) Isa 14:5 Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!(Creole-HT) ======= Isaiah 14:6 ============ Isa 14:6 He who smote the people in wrath with a continual stroke, he that ruled the nations in anger, is persecuted, and none hindereth.(KJV-1611) Isa 14:6 Lè yo move, yo te konn woule pèp la anba kou. Lè yo ankòlè, yo te konn kraze pèp la anba pye yo, yo pa t' ba yo souf.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:7 ============ Isa 14:7 The whole earth is at rest, and is quiet: they break forth into singing.(KJV-1611) Isa 14:7 Koulye a, tout moun sou latè ap pran souf. Y'ap viv ak kè poze. Toupatou se chante, se kè kontan.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:8 ============ Isa 14:8 Yea, the fir trees rejoice at thee, and the cedars of Lebanon, saying, Since thou art laid down, no feller is come up against us.(KJV-1611) Isa 14:8 Pye pichpen ak pye sèd peyi Liban yo kontan sa ki rive wa a. Y'ap di: Depi li tonbe a, pesonn pa moute vin mete rach nan dèyè nou ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:9 ============ Isa 14:9 Hell from beneath is moved for thee to meet thee at thy coming: it stirreth up the dead for thee, even all the chief ones of the earth; it hath raised up from their thrones all the kings of the nations.(KJV-1611) Isa 14:9 Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:10 ============ Isa 14:10 All they shall speak and say unto thee, Art thou also become weak as we? art thou become like unto us?(KJV-1611) Isa 14:10 Yo tout pran pale, y'ap di: Gade! Yo desann ou jan ou te desann nou an. Ou tounen tankou nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:11 ============ Isa 14:11 Thy pomp is brought down to the grave, and the noise of thy viols: the worm is spread under thee, and the worms cover thee.(KJV-1611) Isa 14:11 Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:12 ============ Isa 14:12 How art thou fallen from heaven, O Lucifer, son of the morning! how art thou cut down to the ground, which didst weaken the nations!(KJV-1611) Isa 14:12 Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?(Creole-HT) ======= Isaiah 14:13 ============ Isa 14:13 For thou hast said in thine heart, I will ascend into heaven, I will exalt my throne above the stars of God: I will sit also upon the mount of the congregation, in the sides of the north:(KJV-1611) Isa 14:13 Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:14 ============ Isa 14:14 I will ascend above the heights of the clouds; I will be like the most High.(KJV-1611) Isa 14:14 Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:15 ============ Isa 14:15 Yet thou shalt be brought down to hell, to the sides of the pit.(KJV-1611) Isa 14:15 Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!(Creole-HT) ======= Isaiah 14:16 ============ Isa 14:16 They that see thee shall narrowly look upon thee, and consider thee, saying, Is this the man that made the earth to tremble, that did shake kingdoms;(KJV-1611) Isa 14:16 Mò ki wè ou yo ap fikse je yo sou ou. Y'ap gade ou, y'ap di: Se pa moun ki te konn fè tè a tranble a sa? Se pa li ki te konn fè chèf yo tranble a sa?(Creole-HT) ======= Isaiah 14:17 ============ Isa 14:17 That made the world as a wilderness, and destroyed the cities thereof; that opened not the house of his prisoners?(KJV-1611) Isa 14:17 Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa?(Creole-HT) ======= Isaiah 14:18 ============ Isa 14:18 All the kings of the nations, even all of them, lie in glory, every one in his own house.(KJV-1611) Isa 14:18 Tout wa latè yo kouche nan bèl kavo yo, yon kavo pou yo chak.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:19 ============ Isa 14:19 But thou art cast out of thy grave like an abominable branch, and as the raiment of those that are slain, thrust through with a sword, that go down to the stones of the pit; as a carcase trodden under feet.(KJV-1611) Isa 14:19 Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l' ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l' anba pye yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:20 ============ Isa 14:20 Thou shalt not be joined with them in burial, because thou hast destroyed thy land, and slain thy people: the seed of evildoers shall never be renowned.(KJV-1611) Isa 14:20 Yo p'ap antere ou jan yo fè l' pou lòt wa yo, paske ou te fini ak peyi ou la, ou te touye pèp ou a. Yo p'ap janm chonje non fanmi lwijanboje sa yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 14:21 ============ Isa 14:21 Prepare slaughter for his children for the iniquity of their fathers; that they do not rise, nor possess the land, nor fill the face of the world with cities.(KJV-1611) Isa 14:21 Pare pou nou masakre tout pitit wa yo poutèt mechanste papa yo te fè! Pa kite yonn ladan yo chape pou yo pa janm vin chèf, pou yo pa janm mache bati lavil toupatou sou latè ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:22 ============ Isa 14:22 For I will rise up against them, saith the LORD of hosts, and cut off from Babylon the name, and remnant, and son, and nephew, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 14:22 Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:23 ============ Isa 14:23 I will also make it a possession for the bittern, and pools of water: and I will sweep it with the besom of destruction, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 14:23 M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:24 ============ Isa 14:24 The LORD of hosts hath sworn, saying, Surely as I have thought, so shall it come to pass; and as I have purposed, so shall it stand:(KJV-1611) Isa 14:24 Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman, li di konsa: -Sa se sèten. Sa m' te fè lide fè a, m'ap fè l'. Sa m' te deside fè a ap rive vre.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:25 ============ Isa 14:25 That I will break the Assyrian in my land, and upon my mountains tread him under foot: then shall his yoke depart from off them, and his burden depart from off their shoulders.(KJV-1611) Isa 14:25 M'ap kraze lame wa Lasiri a nan peyi mwen an. M'ap pilonnen l' anba pye m' sou mòn mwen yo. M'ap wete pye l' sou kou pèp mwen an, m'ap wete chay li te mete sou zepòl yo a.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:26 ============ Isa 14:26 This is the purpose that is purposed upon the whole earth: and this is the hand that is stretched out upon all the nations.(KJV-1611) Isa 14:26 Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m' pou m' pini tout nasyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:27 ============ Isa 14:27 For the LORD of hosts hath purposed, and who shall disannul it? and his hand is stretched out, and who shall turn it back?(KJV-1611) Isa 14:27 Depi Seyè ki gen tout pouvwa a fin pran yon desizyon, pa gen moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a. Li fin lonje men l' pou l' pini, pa gen moun ki ka rete l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:28 ============ Isa 14:28 In the year that king Ahaz died was this burden.(KJV-1611) Isa 14:28 Lanne wa Akaz te mouri a, men mesaj Bondye te bay lè sa a:(Creole-HT) ======= Isaiah 14:29 ============ Isa 14:29 Rejoice not thou, whole Palestina, because the rod of him that smote thee is broken: for out of the serpent's root shall come forth a cockatrice, and his fruit shall be a fiery flying serpent.(KJV-1611) Isa 14:29 -Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men, nou pa bezwen kontan pou sa. Paske, lè yon sèpan mouri gen yon lòt ki pi mechan pase l' k'ap pran plas li. L'ap kale yon dragon ki gen zèl.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:30 ============ Isa 14:30 And the firstborn of the poor shall feed, and the needy shall lie down in safety: and I will kill thy root with famine, and he shall slay thy remnant.(KJV-1611) Isa 14:30 Seyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè ankenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape.(Creole-HT) ======= Isaiah 14:31 ============ Isa 14:31 Howl, O gate; cry, O city; thou, whole Palestina, art dissolved: for there shall come from the north a smoke, and none shall be alone in his appointed times.(KJV-1611) Isa 14:31 Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nwaj nwa ap vini soti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl!(Creole-HT) ======= Isaiah 14:32 ============ Isa 14:32 What shall one then answer the messengers of the nation? That the LORD hath founded Zion, and the poor of his people shall trust in it.(KJV-1611) Isa 14:32 Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:11 ============ Isa 15:1 The burden of Moab. Because in the night Ar of Moab is laid waste, and brought to silence; because in the night Kir of Moab is laid waste, and brought to silence;(KJV-1611) Isa 15:1 Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt!(Creole-HT) ======= Isaiah 15:2 ============ Isa 15:2 He is gone up to Bajith, and to Dibon, the high places, to weep: Moab shall howl over Nebo, and over Medeba: on all their heads shall be baldness, and every beard cut off.(KJV-1611) Isa 15:2 Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:3 ============ Isa 15:3 In their streets they shall gird themselves with sackcloth: on the tops of their houses, and in their streets, every one shall howl, weeping abundantly.(KJV-1611) Isa 15:3 Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:4 ============ Isa 15:4 And Heshbon shall cry, and Elealeh: their voice shall be heard even unto Jahaz: therefore the armed soldiers of Moab shall cry out; his life shall be grievous unto him.(KJV-1611) Isa 15:4 Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Moab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouraj yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:5 ============ Isa 15:5 My heart shall cry out for Moab; his fugitives shall flee unto Zoar, an heifer of three years old: for by the mounting up of Luhith with weeping shall they go it up; for in the way of Horonaim they shall raise up a cry of destruction.(KJV-1611) Isa 15:5 Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:6 ============ Isa 15:6 For the waters of Nimrim shall be desolate: for the hay is withered away, the grass faileth, there is no green thing.(KJV-1611) Isa 15:6 Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:7 ============ Isa 15:7 Therefore the abundance they have gotten, and that which they have laid up, shall they carry away to the brook of the willows.(KJV-1611) Isa 15:7 Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:8 ============ Isa 15:8 For the cry is gone round about the borders of Moab; the howling thereof unto Eglaim, and the howling thereof unto Beerelim.(KJV-1611) Isa 15:8 Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim.(Creole-HT) ======= Isaiah 15:9 ============ Isa 15:9 For the waters of Dimon shall be full of blood: for I will bring more upon Dimon, lions upon him that escapeth of Moab, and upon the remnant of the land.(KJV-1611) Isa 15:9 Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Moab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Moab yo pral mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:1 ============ Isa 16:1 Send ye the lamb to the ruler of the land from Sela to the wilderness, unto the mount of the daughter of Zion.(KJV-1611) Isa 16:1 Moun peyi Moab yo ap rete lavil Sila nan dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:2 ============ Isa 16:2 For it shall be, that, as a wandering bird cast out of the nest, so the daughters of Moab shall be at the fords of Arnon.(KJV-1611) Isa 16:2 Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:3 ============ Isa 16:3 Take counsel, execute judgment; make thy shadow as the night in the midst of the noonday; hide the outcasts; bewray not him that wandereth.(KJV-1611) Isa 16:3 Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:4 ============ Isa 16:4 Let mine outcasts dwell with thee, Moab; be thou a covert to them from the face of the spoiler: for the extortioner is at an end, the spoiler ceaseth, the oppressors are consumed out of the land.(KJV-1611) Isa 16:4 Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:5 ============ Isa 16:5 And in mercy shall the throne be established: and he shall sit upon it in truth in the tabernacle of David, judging, and seeking judgment, and hasting righteousness.(KJV-1611) Isa 16:5 Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:6 ============ Isa 16:6 We have heard of the pride of Moab; he is very proud: even of his haughtiness, and his pride, and his wrath: but his lies shall not be so.(KJV-1611) Isa 16:6 Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!(Creole-HT) ======= Isaiah 16:7 ============ Isa 16:7 Therefore shall Moab howl for Moab, every one shall howl: for the foundations of Kirhareseth shall ye mourn; surely they are stricken.(KJV-1611) Isa 16:7 Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:8 ============ Isa 16:8 For the fields of Heshbon languish, and the vine of Sibmah: the lords of the heathen have broken down the principal plants thereof, they are come even unto Jazer, they wandered through the wilderness: her branches are stretched out, they are gone over the sea.(KJV-1611) Isa 16:8 Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:9 ============ Isa 16:9 Therefore I will bewail with the weeping of Jazer the vine of Sibmah: I will water thee with my tears, O Heshbon, and Elealeh: for the shouting for thy summer fruits and for thy harvest is fallen.(KJV-1611) Isa 16:9 Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:10 ============ Isa 16:10 And gladness is taken away, and joy out of the plentiful field; and in the vineyards there shall be no singing, neither shall there be shouting: the treaders shall tread out no wine in their presses; I have made their vintage shouting to cease.(KJV-1611) Isa 16:10 Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba!(Creole-HT) ======= Isaiah 16:11 ============ Isa 16:11 Wherefore my bowels shall sound like an harp for Moab, and mine inward parts for Kirharesh.(KJV-1611) Isa 16:11 Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:12 ============ Isa 16:12 And it shall come to pass, when it is seen that Moab is weary on the high place, that he shall come to his sanctuary to pray; but he shall not prevail.(KJV-1611) Isa 16:12 Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:13 ============ Isa 16:13 This is the word that the LORD hath spoken concerning Moab since that time.(KJV-1611) Isa 16:13 Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la.(Creole-HT) ======= Isaiah 16:14 ============ Isa 16:14 But now the LORD hath spoken, saying, Within three years, as the years of an hireling, and the glory of Moab shall be contemned, with all that great multitude; and the remnant shall be very small and feeble.(KJV-1611) Isa 16:14 Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!(Creole-HT) ======= Isaiah 17:1 ============ Isa 17:1 The burden of Damascus. Behold, Damascus is taken away from being a city, and it shall be a ruinous heap.(KJV-1611) Isa 17:1 Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:2 ============ Isa 17:2 The cities of Aroer are forsaken: they shall be for flocks, which shall lie down, and none shall make them afraid.(KJV-1611) Isa 17:2 Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:3 ============ Isa 17:3 The fortress also shall cease from Ephraim, and the kingdom from Damascus, and the remnant of Syria: they shall be as the glory of the children of Israel, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 17:3 Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l'. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:4 ============ Isa 17:4 And in that day it shall come to pass, that the glory of Jacob shall be made thin, and the fatness of his flesh shall wax lean.(KJV-1611) Isa 17:4 Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:5 ============ Isa 17:5 And it shall be as when the harvestman gathereth the corn, and reapeth the ears with his arm; and it shall be as he that gathereth ears in the valley of Rephaim.(KJV-1611) Isa 17:5 Peyi Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:6 ============ Isa 17:6 Yet gleaning grapes shall be left in it, as the shaking of an olive tree, two or three berries in the top of the uppermost bough, four or five in the outmost fruitful branches thereof, saith the LORD God of Israel.(KJV-1611) Isa 17:6 Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:7 ============ Isa 17:7 At that day shall a man look to his Maker, and his eyes shall have respect to the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 17:7 Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:8 ============ Isa 17:8 And he shall not look to the altars, the work of his hands, neither shall respect that which his fingers have made, either the groves, or the images.(KJV-1611) Isa 17:8 Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:9 ============ Isa 17:9 In that day shall his strong cities be as a forsaken bough, and an uppermost branch, which they left because of the children of Israel: and there shall be desolation.(KJV-1611) Isa 17:9 Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:10 ============ Isa 17:10 Because thou hast forgotten the God of thy salvation, and hast not been mindful of the rock of thy strength, therefore shalt thou plant pleasant plants, and shalt set it with strange slips:(KJV-1611) Isa 17:10 Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:11 ============ Isa 17:11 In the day shalt thou make thy plant to grow, and in the morning shalt thou make thy seed to flourish: but the harvest shall be a heap in the day of grief and of desperate sorrow.(KJV-1611) Isa 17:11 Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:12 ============ Isa 17:12 Woe to the multitude of many people, which make a noise like the noise of the seas; and to the rushing of nations, that make a rushing like the rushing of mighty waters!(KJV-1611) Isa 17:12 Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:13 ============ Isa 17:13 The nations shall rush like the rushing of many waters: but God shall rebuke them, and they shall flee far off, and shall be chased as the chaff of the mountains before the wind, and like a rolling thing before the whirlwind.(KJV-1611) Isa 17:13 Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 17:14 ============ Isa 17:14 And behold at eveningtide trouble; and before the morning he is not. This is the portion of them that spoil us, and the lot of them that rob us.(KJV-1611) Isa 17:14 Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:1 ============ Isa 18:1 Woe to the land shadowing with wings, which is beyond the rivers of Ethiopia:(KJV-1611) Isa 18:1 Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:2 ============ Isa 18:2 That sendeth ambassadors by the sea, even in vessels of bulrushes upon the waters, saying, Go, ye swift messengers, to a nation scattered and peeled, to a people terrible from their beginning hitherto; a nation meted out and trodden down, whose land the rivers have spoiled!(KJV-1611) Isa 18:2 Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:3 ============ Isa 18:3 All ye inhabitants of the world, and dwellers on the earth, see ye, when he lifteth up an ensign on the mountains; and when he bloweth a trumpet, hear ye.(KJV-1611) Isa 18:3 Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:4 ============ Isa 18:4 For so the LORD said unto me, I will take my rest, and I will consider in my dwelling place like a clear heat upon herbs, and like a cloud of dew in the heat of harvest.(KJV-1611) Isa 18:4 Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:5 ============ Isa 18:5 For afore the harvest, when the bud is perfect, and the sour grape is ripening in the flower, he shall both cut off the sprigs with pruning hooks, and take away and cut down the branches.(KJV-1611) Isa 18:5 Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:6 ============ Isa 18:6 They shall be left together unto the fowls of the mountains, and to the beasts of the earth: and the fowls shall summer upon them, and all the beasts of the earth shall winter upon them.(KJV-1611) Isa 18:6 Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 18:7 ============ Isa 18:7 In that time shall the present be brought unto the LORD of hosts of a people scattered and peeled, and from a people terrible from their beginning hitherto; a nation meted out and trodden under foot, whose land the rivers have spoiled, to the place of the name of the LORD of hosts, the mount Zion.(KJV-1611) Isa 18:7 Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:1 ============ Isa 19:1 The burden of Egypt. Behold, the LORD rideth upon a swift cloud, and shall come into Egypt: and the idols of Egypt shall be moved at his presence, and the heart of Egypt shall melt in the midst of it.(KJV-1611) Isa 19:1 Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:2 ============ Isa 19:2 And I will set the Egyptians against the Egyptians: and they shall fight every one against his brother, and every one against his neighbour; city against city, and kingdom against kingdom.(KJV-1611) Isa 19:2 Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:3 ============ Isa 19:3 And the spirit of Egypt shall fail in the midst thereof; and I will destroy the counsel thereof: and they shall seek to the idols, and to the charmers, and to them that have familiar spirits, and to the wizards.(KJV-1611) Isa 19:3 Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:4 ============ Isa 19:4 And the Egyptians will I give over into the hand of a cruel lord; and a fierce king shall rule over them, saith the Lord, the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 19:4 Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 19:5 ============ Isa 19:5 And the waters shall fail from the sea, and the river shall be wasted and dried up.(KJV-1611) Isa 19:5 Dlo larivyè Nil lan pral bese jouk l'a rive chèch nèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:6 ============ Isa 19:6 And they shall turn the rivers far away; and the brooks of defence shall be emptied and dried up: the reeds and flags shall wither.(KJV-1611) Isa 19:6 Kannal yo pral santi, dlo kannal yo pral bese jouk yo chèch. Pye wozo ak pye jon yo pral fennen.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:7 ============ Isa 19:7 The paper reeds by the brooks, by the mouth of the brooks, and every thing sown by the brooks, shall wither, be driven away, and be no more.(KJV-1611) Isa 19:7 Tout pyebwa ki pouse, tout jaden yo te plante bò larivyè Nil, depi anwo jouk nan lanbouchi, pral cheche. Van pral bwote yo ale, li p'ap kite anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:8 ============ Isa 19:8 The fishers also shall mourn, and all they that cast angle into the brooks shall lament, and they that spread nets upon the waters shall languish.(KJV-1611) Isa 19:8 Pechè yo pral plenn, moun ki te konn peche pwason ak zen nan larivyè a pral pran lapenn. Moun ki te konn voye privye nan larivyè a pral nan gwo chagren.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:9 ============ Isa 19:9 Moreover they that work in fine flax, and they that weave networks, shall be confounded.(KJV-1611) Isa 19:9 Moun ki te konn fè bèl twal swa yo pral dekouraje. Sa ki te konn tise lenn yo, sa ki te konn tise bèl twal blan yo pral nan lafliksyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:10 ============ Isa 19:10 And they shall be broken in the purposes thereof, all that make sluices and ponds for fish.(KJV-1611) Isa 19:10 Bòs k'ap fè twal yo pral nan gwo tèt chaje. Moun k'ap travay yo menm pral nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:11 ============ Isa 19:11 Surely the princes of Zoan are fools, the counsel of the wise counsellors of Pharaoh is become brutish: how say ye unto Pharaoh, I am the son of the wise, the son of ancient kings?(KJV-1611) Isa 19:11 Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye?(Creole-HT) ======= Isaiah 19:12 ============ Isa 19:12 Where are they? where are thy wise men? and let them tell thee now, and let them know what the LORD of hosts hath purposed upon Egypt.(KJV-1611) Isa 19:12 Farawon, kote moun lespri ou yo? Se pou yo ka di ou sa Seyè ki gen tout pouvwa a gen lide fè peyi Lejip pase! Se pou yo ka fè ou konn sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 19:13 ============ Isa 19:13 The princes of Zoan are become fools, the princes of Noph are deceived; they have also seduced Egypt, even they that are the stay of the tribes thereof.(KJV-1611) Isa 19:13 Chèf lavil Zoan ak chèf lavil Menmfis yo, se yon bann moun sòt! Yo kite moun ap twonpe yo! Yo te la pou mennen peyi Lejip sou bon chemen. Yo lage l' nan bwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:14 ============ Isa 19:14 The LORD hath mingled a perverse spirit in the midst thereof: and they have caused Egypt to err in every work thereof, as a drunken man staggereth in his vomit.(KJV-1611) Isa 19:14 Seyè a fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l' nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an!(Creole-HT) ======= Isaiah 19:15 ============ Isa 19:15 Neither shall there be any work for Egypt, which the head or tail, branch or rush, may do.(KJV-1611) Isa 19:15 Nan peyi Lejip, pesonn, rich kou pòv, gwo kou piti, pa ka fè anyen pou peyi a ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:16 ============ Isa 19:16 In that day shall Egypt be like unto women: and it shall be afraid and fear because of the shaking of the hand of the LORD of hosts, which he shaketh over it.(KJV-1611) Isa 19:16 Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:17 ============ Isa 19:17 And the land of Judah shall be a terror unto Egypt, every one that maketh mention thereof shall be afraid in himself, because of the counsel of the LORD of hosts, which he hath determined against it.(KJV-1611) Isa 19:17 Peyi Jida a ap fè kè moun peyi Lejip yo sote. Chak fwa y'a nonmen non peyi Jida nan zòrèy yo, y'a pè, paske y'a chonje sa Seyè ki gen tout pouvwa a te gen lide fè yo pase.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:18 ============ Isa 19:18 In that day shall five cities in the land of Egypt speak the language of Canaan, and swear to the LORD of hosts; one shall be called, The city of destruction.(KJV-1611) Isa 19:18 Lè sa a, y'a gen senk lavil nan peyi Lejip kote moun va pale ebre. Moun la va pran non Seyè ki gen tout pouvwa a pou fè sèman. Yonn nan lavil sa yo va rele Lavil Solèy.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:19 ============ Isa 19:19 In that day shall there be an altar to the LORD in the midst of the land of Egypt, and a pillar at the border thereof to the LORD.(KJV-1611) Isa 19:19 Lè sa a va gen yon lotèl pou Seyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fwontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:20 ============ Isa 19:20 And it shall be for a sign and for a witness unto the LORD of hosts in the land of Egypt: for they shall cry unto the LORD because of the oppressors, and he shall send them a saviour, and a great one, and he shall deliver them.(KJV-1611) Isa 19:20 Sa va sèvi yon mak pou fè konnen Seyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Seyè a mande l' sekou. Seyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:21 ============ Isa 19:21 And the LORD shall be known to Egypt, and the Egyptians shall know the LORD in that day, and shall do sacrifice and oblation; yea, they shall vow a vow unto the LORD, and perform it.(KJV-1611) Isa 19:21 Jou sa a, Seyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Seyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:22 ============ Isa 19:22 And the LORD shall smite Egypt: he shall smite and heal it: and they shall return even to the LORD, and he shall be intreated of them, and shall heal them.(KJV-1611) Isa 19:22 Seyè a gen pou l' pini moun Lejip yo. Men, l'a geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Seyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l', l'a geri yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:23 ============ Isa 19:23 In that day shall there be a highway out of Egypt to Assyria, and the Assyrian shall come into Egypt, and the Egyptian into Assyria, and the Egyptians shall serve with the Assyrians.(KJV-1611) Isa 19:23 Jou sa a, ap gen yon gwo wout k'ap soti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:24 ============ Isa 19:24 In that day shall Israel be the third with Egypt and with Assyria, even a blessing in the midst of the land:(KJV-1611) Isa 19:24 Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 19:25 ============ Isa 19:25 Whom the LORD of hosts shall bless, saying, Blessed be Egypt my people, and Assyria the work of my hands, and Israel mine inheritance.(KJV-1611) Isa 19:25 Seyè a va beni yo, l'a di konsa: -benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m' pa m' lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:1 ============ Isa 20:1 In the year that Tartan came unto Ashdod, (when Sargon the king of Assyria sent him,) and fought against Ashdod, and took it;(KJV-1611) Isa 20:1 Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l' te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:2 ============ Isa 20:2 At the same time spake the LORD by Isaiah the son of Amoz, saying, Go and loose the sackcloth from off thy loins, and put off thy shoe from thy foot. And he did so, walking naked and barefoot.(KJV-1611) Isa 20:2 Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:3 ============ Isa 20:3 And the LORD said, Like as my servant Isaiah hath walked naked and barefoot three years for a sign and wonder upon Egypt and upon Ethiopia;(KJV-1611) Isa 20:3 Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:4 ============ Isa 20:4 So shall the king of Assyria lead away the Egyptians prisoners, and the Ethiopians captives, young and old, naked and barefoot, even with their buttocks uncovered, to the shame of Egypt.(KJV-1611) Isa 20:4 Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:5 ============ Isa 20:5 And they shall be afraid and ashamed of Ethiopia their expectation, and of Egypt their glory.(KJV-1611) Isa 20:5 Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.(Creole-HT) ======= Isaiah 20:6 ============ Isa 20:6 And the inhabitant of this isle shall say in that day, Behold, such is our expectation, whither we flee for help to be delivered from the king of Assyria: and how shall we escape?(KJV-1611) Isa 20:6 Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?(Creole-HT) ======= Isaiah 21:1 ============ Isa 21:1 The burden of the desert of the sea. As whirlwinds in the south pass through; so it cometh from the desert, from a terrible land.(KJV-1611) Isa 21:1 Men mesaj Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: -Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral soti nan peyi san manman yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:2 ============ Isa 21:2 A grievous vision is declared unto me; the treacherous dealer dealeth treacherously, and the spoiler spoileth. Go up, O Elam: besiege, O Media; all the sighing thereof have I made to cease.(KJV-1611) Isa 21:2 Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:3 ============ Isa 21:3 Therefore are my loins filled with pain: pangs have taken hold upon me, as the pangs of a woman that travaileth: I was bowed down at the hearing of it; I was dismayed at the seeing of it.(KJV-1611) Isa 21:3 Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:4 ============ Isa 21:4 My heart panted, fearfulness affrighted me: the night of my pleasure hath he turned into fear unto me.(KJV-1611) Isa 21:4 Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:5 ============ Isa 21:5 Prepare the table, watch in the watchtower, eat, drink: arise, ye princes, and anoint the shield.(KJV-1611) Isa 21:5 Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 21:6 ============ Isa 21:6 For thus hath the LORD said unto me, Go, set a watchman, let him declare what he seeth.(KJV-1611) Isa 21:6 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fè ou konnen tou sa la wè.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:7 ============ Isa 21:7 And he saw a chariot with a couple of horsemen, a chariot of asses, and a chariot of camels; and he hearkened diligently with much heed:(KJV-1611) Isa 21:7 Si l' wè kavalye k'ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lòt pati sou chamo, se pou l' louvri je l' gade byen.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:8 ============ Isa 21:8 And he cried, A lion: My lord, I stand continually upon the watchtower in the daytime, and I am set in my ward whole nights:(KJV-1611) Isa 21:8 Gad la rele byen fò: -Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:9 ============ Isa 21:9 And, behold, here cometh a chariot of men, with a couple of horsemen. And he answered and said, Babylon is fallen, is fallen; and all the graven images of her gods he hath broken unto the ground.(KJV-1611) Isa 21:9 Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!(Creole-HT) ======= Isaiah 21:10 ============ Isa 21:10 O my threshing, and the corn of my floor: that which I have heard of the LORD of hosts, the God of Israel, have I declared unto you.(KJV-1611) Isa 21:10 Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:11 ============ Isa 21:11 The burden of Dumah. He calleth to me out of Seir, Watchman, what of the night? Watchman, what of the night?(KJV-1611) Isa 21:11 Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?(Creole-HT) ======= Isaiah 21:12 ============ Isa 21:12 The watchman said, The morning cometh, and also the night: if ye will enquire, enquire ye: return, come.(KJV-1611) Isa 21:12 Mwen reponn: -Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:13 ============ Isa 21:13 The burden upon Arabia. In the forest in Arabia shall ye lodge, O ye travelling companies of Dedanim.(KJV-1611) Isa 21:13 Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!(Creole-HT) ======= Isaiah 21:14 ============ Isa 21:14 The inhabitants of the land of Tema brought water to him that was thirsty, they prevented with their bread him that fled.(KJV-1611) Isa 21:14 Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwè. Moun peyi Tema yo al kontre moun k'ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:15 ============ Isa 21:15 For they fled from the swords, from the drawn sword, and from the bent bow, and from the grievousness of war.(KJV-1611) Isa 21:15 Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sòlda ki te soti pou touye yo, anba flèch ki te tou pare pou pèse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la.(Creole-HT) ======= Isaiah 21:16 ============ Isa 21:16 For thus hath the LORD said unto me, Within a year, according to the years of an hireling, and all the glory of Kedar shall fail:(KJV-1611) Isa 21:16 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a!(Creole-HT) ======= Isaiah 21:17 ============ Isa 21:17 And the residue of the number of archers, the mighty men of the children of Kedar, shall be diminished: for the LORD God of Israel hath spoken it.(KJV-1611) Isa 21:17 Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:1 ============ Isa 22:1 The burden of the valley of vision. What aileth thee now, that thou art wholly gone up to the housetops?(KJV-1611) Isa 22:1 Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?(Creole-HT) ======= Isaiah 22:2 ============ Isa 22:2 Thou that art full of stirs, a tumultuous city, joyous city: thy slain men are not slain with the sword, nor dead in battle.(KJV-1611) Isa 22:2 Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:3 ============ Isa 22:3 All thy rulers are fled together, they are bound by the archers: all that are found in thee are bound together, which have fled from far.(KJV-1611) Isa 22:3 Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:4 ============ Isa 22:4 Therefore said I, Look away from me; I will weep bitterly, labour not to comfort me, because of the spoiling of the daughter of my people.(KJV-1611) Isa 22:4 Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!(Creole-HT) ======= Isaiah 22:5 ============ Isa 22:5 For it is a day of trouble, and of treading down, and of perplexity by the Lord GOD of hosts in the valley of vision, breaking down the walls, and of crying to the mountains.(KJV-1611) Isa 22:5 Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:6 ============ Isa 22:6 And Elam bare the quiver with chariots of men and horsemen, and Kir uncovered the shield.(KJV-1611) Isa 22:6 Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:7 ============ Isa 22:7 And it shall come to pass, that thy choicest valleys shall be full of chariots, and the horsemen shall set themselves in array at the gate.(KJV-1611) Isa 22:7 Cha lagè anvayi tout plenn kote nou gen pi bon venn tè jaden. Sòlda yo kanpe sou chwal yo devan pòtay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:8 ============ Isa 22:8 And he discovered the covering of Judah, and thou didst look in that day to the armour of the house of the forest.(KJV-1611) Isa 22:8 Pa gen anyen ankò pou defann moun peyi Jida yo. Lè sa a, nou kouri al chache zam nan depo zam palè wa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:9 ============ Isa 22:9 Ye have seen also the breaches of the city of David, that they are many: and ye gathered together the waters of the lower pool.(KJV-1611) Isa 22:9 Nou te wè te gen anpil kote ki fann nan miray lavil David la. Nou ranmase dlo k'ap soti nan rezèvwa anba a.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:10 ============ Isa 22:10 And ye have numbered the houses of Jerusalem, and the houses have ye broken down to fortify the wall.(KJV-1611) Isa 22:10 Nou mache konte tout kay ki nan lavil Jerizalèm. Nou kraze de twa ladan yo pou nou fè miray lavil la pi solid.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:11 ============ Isa 22:11 Ye made also a ditch between the two walls for the water of the old pool: but ye have not looked unto the maker thereof, neither had respect unto him that fashioned it long ago.(KJV-1611) Isa 22:11 Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:12 ============ Isa 22:12 And in that day did the Lord GOD of hosts call to weeping, and to mourning, and to baldness, and to girding with sackcloth:(KJV-1611) Isa 22:12 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:13 ============ Isa 22:13 And behold joy and gladness, slaying oxen, and killing sheep, eating flesh, and drinking wine: let us eat and drink; for to morrow we shall die.(KJV-1611) Isa 22:13 Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:14 ============ Isa 22:14 And it was revealed in mine ears by the LORD of hosts, Surely this iniquity shall not be purged from you till ye die, saith the Lord GOD of hosts.(KJV-1611) Isa 22:14 Seyè ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m': Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:15 ============ Isa 22:15 Thus saith the Lord GOD of hosts, Go, get thee unto this treasurer, even unto Shebna, which is over the house, and say,(KJV-1611) Isa 22:15 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Ale kay Chebna, chèf ki reskonsab kay wa a. Msye te fè fouye yon kavo sou ti mòn lan pou lè li mouri. W'a di l' pou mwen:(Creole-HT) ======= Isaiah 22:16 ============ Isa 22:16 What hast thou here? and whom hast thou here, that thou hast hewed thee out a sepulchre here, as he that heweth him out a sepulchre on high, and that graveth an habitation for himself in a rock?(KJV-1611) Isa 22:16 Kisa ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan?(Creole-HT) ======= Isaiah 22:17 ============ Isa 22:17 Behold, the LORD will carry thee away with a mighty captivity, and will surely cover thee.(KJV-1611) Isa 22:17 Ou mèt grannèg kont kò ou, Seyè a pral pase men l' pran ou, l'ap voye ou jete byen lwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:18 ============ Isa 22:18 He will surely violently turn and toss thee like a ball into a large country: there shalt thou die, and there the chariots of thy glory shall be the shame of thy lord's house.(KJV-1611) Isa 22:18 L'ap plòtonnen ou, l'ap fè ou tounen yon boul, l'ap voye ou al teri nan yon pi gwo peyi. Se la l'ap voye ou al mouri nan mitan tout cha ki t'ap fè ou fè tout granpanpan sa a. Ou se yon wont pou kay mèt ou a.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:19 ============ Isa 22:19 And I will drive thee from thy station, and from thy state shall he pull thee down.(KJV-1611) Isa 22:19 M'ap kase ou nan plas kote ou ye a, m'ap fè ou desann soti kote ou chita a.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:20 ============ Isa 22:20 And it shall come to pass in that day, that I will call my servant Eliakim the son of Hilkiah:(KJV-1611) Isa 22:20 Lè sa a, m'a voye chache sèvitè m' lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:21 ============ Isa 22:21 And I will clothe him with thy robe, and strengthen him with thy girdle, and I will commit thy government into his hand: and he shall be a father to the inhabitants of Jerusalem, and to the house of Judah.(KJV-1611) Isa 22:21 M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:22 ============ Isa 22:22 And the key of the house of David will I lay upon his shoulder; so he shall open, and none shall shut; and he shall shut, and none shall open.(KJV-1611) Isa 22:22 Apre wa a, pitit pitit ki soti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l' reskonsab kay David la: Lè li louvri, pesonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pesonn p'ap ka louvri.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:23 ============ Isa 22:23 And I will fasten him as a nail in a sure place; and he shall be for a glorious throne to his father's house.(KJV-1611) Isa 22:23 M'ap mete l' chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:24 ============ Isa 22:24 And they shall hang upon him all the glory of his father's house, the offspring and the issue, all vessels of small quantity, from the vessels of cups, even to all the vessels of flagons.(KJV-1611) Isa 22:24 Men, tout fanmi l', tout ti fanmi l' yo pral tounen yon chay twò lou pou li. Yo pral pandye nan kou l' tankou gode ak bòl ki pandye nan yon zegwi bwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 22:25 ============ Isa 22:25 In that day, saith the LORD of hosts, shall the nail that is fastened in the sure place be removed, and be cut down, and fall; and the burden that was upon it shall be cut off: for the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Isa 22:25 Lè sa a, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap soti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:1 ============ Isa 23:1 The burden of Tyre. Howl, ye ships of Tarshish; for it is laid waste, so that there is no house, no entering in: from the land of Chittim it is revealed to them.(KJV-1611) Isa 23:1 Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:2 ============ Isa 23:2 Be still, ye inhabitants of the isle; thou whom the merchants of Zidon, that pass over the sea, have replenished.(KJV-1611) Isa 23:2 Nou menm kòmèsan Sidon yo, moun lakòt, nou pral rete men nan bouch. Nou te voye moun lòt bò lanmè(Creole-HT) ======= Isaiah 23:3 ============ Isa 23:3 And by great waters the seed of Sihor, the harvest of the river, is her revenue; and she is a mart of nations.(KJV-1611) Isa 23:3 achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:4 ============ Isa 23:4 Be thou ashamed, O Zidon: for the sea hath spoken, even the strength of the sea, saying, I travail not, nor bring forth children, neither do I nourish up young men, nor bring up virgins.(KJV-1611) Isa 23:4 Lavil Sidon, ou menm ki te yon si bon pò, yo pral fè ou wont! Lanmè a pale, li di konsa: Mwen pa janm gen pitit, mwen pa janm fè pitit. Mwen pa janm gen pitit gason pou m' elve, ni pitit fi pou m' bay levasyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:5 ============ Isa 23:5 As at the report concerning Egypt, so shall they be sorely pained at the report of Tyre.(KJV-1611) Isa 23:5 Lè moun Lejip yo va pran nouvèl sa ki te rive lavil Tir, yo pral tranble nan kanson yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 23:6 ============ Isa 23:6 Pass ye over to Tarshish; howl, ye inhabitants of the isle.(KJV-1611) Isa 23:6 Nou menm moun peyi Finisi, moun lakòt, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Tasis. Nou mèt plenn sò nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 23:7 ============ Isa 23:7 Is this your joyous city, whose antiquity is of ancient days? her own feet shall carry her afar off to sojourn.(KJV-1611) Isa 23:7 Lavil sa a, se pa lavil kote moun te toujou ap fè fèt la? Se pa yon lavil ki la depi nan tan lontan? Se pa lavil ki te konn voye yon koloni moun pa l' yo al tabli nan peyi lòt bò lanmè pou chita pouvwa li plis?(Creole-HT) ======= Isaiah 23:8 ============ Isa 23:8 Who hath taken this counsel against Tyre, the crowning city, whose merchants are princes, whose traffickers are the honourable of the earth?(KJV-1611) Isa 23:8 Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?(Creole-HT) ======= Isaiah 23:9 ============ Isa 23:9 The LORD of hosts hath purposed it, to stain the pride of all glory, and to bring into contempt all the honourable of the earth.(KJV-1611) Isa 23:9 Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:10 ============ Isa 23:10 Pass through thy land as a river, O daughter of Tarshish: there is no more strength.(KJV-1611) Isa 23:10 Nou menm moun li yo ki nan peyi Tasis, pito nou travay tè nou tankou moun bò larivyè Nil yo. Pa gen moun pou pwoteje nou ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:11 ============ Isa 23:11 He stretched out his hand over the sea, he shook the kingdoms: the LORD hath given a commandment against the merchant city, to destroy the strong holds thereof.(KJV-1611) Isa 23:11 Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:12 ============ Isa 23:12 And he said, Thou shalt no more rejoice, O thou oppressed virgin, daughter of Zidon: arise, pass over to Chittim; there also shalt thou have no rest.(KJV-1611) Isa 23:12 Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:13 ============ Isa 23:13 Behold the land of the Chaldeans; this people was not, till the Assyrian founded it for them that dwell in the wilderness: they set up the towers thereof, they raised up the palaces thereof; and he brought it to ruin.(KJV-1611) Isa 23:13 Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:14 ============ Isa 23:14 Howl, ye ships of Tarshish: for your strength is laid waste.(KJV-1611) Isa 23:14 Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou, paske yo detwi gwo pò nou an!(Creole-HT) ======= Isaiah 23:15 ============ Isa 23:15 And it shall come to pass in that day, that Tyre shall be forgotten seventy years, according to the days of one king: after the end of seventy years shall Tyre sing as an harlot.(KJV-1611) Isa 23:15 Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:(Creole-HT) ======= Isaiah 23:16 ============ Isa 23:16 Take an harp, go about the city, thou harlot that hast been forgotten; make sweet melody, sing many songs, that thou mayest be remembered.(KJV-1611) Isa 23:16 Pran gita ou! Mache nan tout lavil la! Ou menm, jennès yo te bliye a! Jwe bèl mizik, chante bèl chante ou yo ankò pou yo ka chonje ou!(Creole-HT) ======= Isaiah 23:17 ============ Isa 23:17 And it shall come to pass after the end of seventy years, that the LORD will visit Tyre, and she shall turn to her hire, and shall commit fornication with all the kingdoms of the world upon the face of the earth.(KJV-1611) Isa 23:17 Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 23:18 ============ Isa 23:18 And her merchandise and her hire shall be holiness to the LORD: it shall not be treasured nor laid up; for her merchandise shall be for them that dwell before the LORD, to eat sufficiently, and for durable clothing.(KJV-1611) Isa 23:18 Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:1 ============ Isa 24:1 Behold, the LORD maketh the earth empty, and maketh it waste, and turneth it upside down, and scattereth abroad the inhabitants thereof.(KJV-1611) Isa 24:1 Seyè a pral souke tè a, li pral ravaje l'. Li pral boulvèse l'. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:2 ============ Isa 24:2 And it shall be, as with the people, so with the priest; as with the servant, so with his master; as with the maid, so with her mistress; as with the buyer, so with the seller; as with the lender, so with the borrower; as with the taker of usury, so with the giver of usury to him.(KJV-1611) Isa 24:2 Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:3 ============ Isa 24:3 The land shall be utterly emptied, and utterly spoiled: for the LORD hath spoken this word.(KJV-1611) Isa 24:3 Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:4 ============ Isa 24:4 The earth mourneth and fadeth away, the world languisheth and fadeth away, the haughty people of the earth do languish.(KJV-1611) Isa 24:4 Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:5 ============ Isa 24:5 The earth also is defiled under the inhabitants thereof; because they have transgressed the laws, changed the ordinance, broken the everlasting covenant.(KJV-1611) Isa 24:5 Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:6 ============ Isa 24:6 Therefore hath the curse devoured the earth, and they that dwell therein are desolate: therefore the inhabitants of the earth are burned, and few men left.(KJV-1611) Isa 24:6 Se poutèt sa madichon ap fini ak latè: moun ki rete sou latè ap peye pou sa yo te fè ki mal. Y'ap deperi grenn pa grenn. Se yon ti ponyen ki rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:7 ============ Isa 24:7 The new wine mourneth, the vine languisheth, all the merryhearted do sigh.(KJV-1611) Isa 24:7 Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:8 ============ Isa 24:8 The mirth of tabrets ceaseth, the noise of them that rejoice endeth, the joy of the harp ceaseth.(KJV-1611) Isa 24:8 Yo pa bat tanbou ankò. Pa gen gwo fèt ankò. Yo pa jwe gita ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:9 ============ Isa 24:9 They shall not drink wine with a song; strong drink shall be bitter to them that drink it.(KJV-1611) Isa 24:9 Nanpwen chante ankò lè y'ap bwè diven. Gwòg vin anmè nan bouch gwògmann yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:10 ============ Isa 24:10 The city of confusion is broken down: every house is shut up, that no man may come in.(KJV-1611) Isa 24:10 Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:11 ============ Isa 24:11 There is a crying for wine in the streets; all joy is darkened, the mirth of the land is gone.(KJV-1611) Isa 24:11 Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:12 ============ Isa 24:12 In the city is left desolation, and the gate is smitten with destruction.(KJV-1611) Isa 24:12 Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:13 ============ Isa 24:13 When thus it shall be in the midst of the land among the people, there shall be as the shaking of an olive tree, and as the gleaning grapes when the vintage is done.(KJV-1611) Isa 24:13 Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:14 ============ Isa 24:14 They shall lift up their voice, they shall sing for the majesty of the LORD, they shall cry aloud from the sea.(KJV-1611) Isa 24:14 Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:15 ============ Isa 24:15 Wherefore glorify ye the LORD in the fires, even the name of the LORD God of Israel in the isles of the sea.(KJV-1611) Isa 24:15 Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:16 ============ Isa 24:16 From the uttermost part of the earth have we heard songs, even glory to the righteous. But I said, My leanness, my leanness, woe unto me! the treacherous dealers have dealt treacherously; yea, the treacherous dealers have dealt very treacherously.(KJV-1611) Isa 24:16 Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!(Creole-HT) ======= Isaiah 24:17 ============ Isa 24:17 Fear, and the pit, and the snare, are upon thee, O inhabitant of the earth.(KJV-1611) Isa 24:17 Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 24:18 ============ Isa 24:18 And it shall come to pass, that he who fleeth from the noise of the fear shall fall into the pit; and he that cometh up out of the midst of the pit shall be taken in the snare: for the windows from on high are open, and the foundations of the earth do shake.(KJV-1611) Isa 24:18 Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute soti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:19 ============ Isa 24:19 The earth is utterly broken down, the earth is clean dissolved, the earth is moved exceedingly.(KJV-1611) Isa 24:19 Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:20 ============ Isa 24:20 The earth shall reel to and fro like a drunkard, and shall be removed like a cottage; and the transgression thereof shall be heavy upon it; and it shall fall, and not rise again.(KJV-1611) Isa 24:20 Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:21 ============ Isa 24:21 And it shall come to pass in that day, that the LORD shall punish the host of the high ones that are on high, and the kings of the earth upon the earth.(KJV-1611) Isa 24:21 Jou sa a, Seyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:22 ============ Isa 24:22 And they shall be gathered together, as prisoners are gathered in the pit, and shall be shut up in the prison, and after many days shall they be visited.(KJV-1611) Isa 24:22 L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 24:23 ============ Isa 24:23 Then the moon shall be confounded, and the sun ashamed, when the LORD of hosts shall reign in mount Zion, and in Jerusalem, and before his ancients gloriously.(KJV-1611) Isa 24:23 lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:1 ============ Isa 25:1 O Lord, thou art my God; I will exalt thee, I will praise thy name; for thou hast done wonderful things; thy counsels of old are faithfulness and truth.(KJV-1611) Isa 25:1 Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:2 ============ Isa 25:2 For thou hast made of a city an heap; of a defenced city a ruin: a palace of strangers to be no city; it shall never be built.(KJV-1611) Isa 25:2 Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:3 ============ Isa 25:3 Therefore shall the strong people glorify thee, the city of the terrible nations shall fear thee.(KJV-1611) Isa 25:3 Se poutèt sa, moun gwo nasyon yo ap fè lwanj ou. Lwijanboje ki rete nan lavil gwo peyi yo va gen krentif pou ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:4 ============ Isa 25:4 For thou hast been a strength to the poor, a strength to the needy in his distress, a refuge from the storm, a shadow from the heat, when the blast of the terrible ones is as a storm against the wall.(KJV-1611) Isa 25:4 Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:5 ============ Isa 25:5 Thou shalt bring down the noise of strangers, as the heat in a dry place; even the heat with the shadow of a cloud: the branch of the terrible ones shall be brought low.(KJV-1611) Isa 25:5 Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk. Men, Seyè, ou kase fe lènmi nou yo. Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo. Ou fè yo frèt tankou lè gwo nwaj bare solèy la nan sezon chalè.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:6 ============ Isa 25:6 And in this mountain shall the LORD of hosts make unto all people a feast of fat things, a feast of wines on the lees, of fat things full of marrow, of wines on the lees well refined.(KJV-1611) Isa 25:6 Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:7 ============ Isa 25:7 And he will destroy in this mountain the face of the covering cast over all people, and the vail that is spread over all nations.(KJV-1611) Isa 25:7 Se sou mòn sa a li pral wete gwo vwal ki te sou tèt tout nasyon yo, vwal ki te ba yo kè sere a.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:8 ============ Isa 25:8 He will swallow up death in victory; and the Lord GOD will wipe away tears from off all faces; and the rebuke of his people shall he take away from off all the earth: for the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Isa 25:8 Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 25:9 ============ Isa 25:9 And it shall be said in that day, Lo, this is our God; we have waited for him, and he will save us: this is the LORD; we have waited for him, we will be glad and rejoice in his salvation.(KJV-1611) Isa 25:9 Jou sa a, tout moun va di: Se li menm ki Bondye nou. Nou te mete tout espwa nou nan li. Li delivre nou! Se li menm ki Seyè a! Nou te mete konfyans nou nan li. Ann fè kè nou kontan. Ann fè fèt, paske li delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:10 ============ Isa 25:10 For in this mountain shall the hand of the LORD rest, and Moab shall be trodden down under him, even as straw is trodden down for the dunghill.(KJV-1611) Isa 25:10 Seyè a ap pwoteje mòn Siyon an. Men, l'ap pilonnen moun peyi Moab yo anba pye l', menm jan yo pilonnen pay nan labou pak bèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:11 ============ Isa 25:11 And he shall spread forth his hands in the midst of them, as he that swimmeth spreadeth forth his hands to swim: and he shall bring down their pride together with the spoils of their hands.(KJV-1611) Isa 25:11 Nan mitan labou a, y'a lonje bra yo tankou si yo ta vle naje soti. Men Seyè a pral kraze lògèy yo, l'ap defèt tou sa yo te fè ak men yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 25:12 ============ Isa 25:12 And the fortress of the high fort of thy walls shall he bring down, lay low, and bring to the ground, even to the dust.(KJV-1611) Isa 25:12 L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:1 ============ Isa 26:1 In that day shall this song be sung in the land of Judah; We have a strong city; salvation will God appoint for walls and bulwarks.(KJV-1611) Isa 26:1 Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:2 ============ Isa 26:2 Open ye the gates, that the righteous nation which keepeth the truth may enter in.(KJV-1611) Isa 26:2 Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:3 ============ Isa 26:3 Thou wilt keep him in perfect peace, whose mind is stayed on thee: because he trusteth in thee.(KJV-1611) Isa 26:3 Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:4 ============ Isa 26:4 Trust ye in the LORD for ever: for in the LORD JEHOVAH is everlasting strength:(KJV-1611) Isa 26:4 Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:5 ============ Isa 26:5 For he bringeth down them that dwell on high; the lofty city, he layeth it low; he layeth it low, even to the ground; he bringeth it even to the dust.(KJV-1611) Isa 26:5 Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:6 ============ Isa 26:6 The foot shall tread it down, even the feet of the poor, and the steps of the needy.(KJV-1611) Isa 26:6 Pòv yo ak malere yo ap foule l' anba pye yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:7 ============ Isa 26:7 The way of the just is uprightness: thou, most upright, dost weigh the path of the just.(KJV-1611) Isa 26:7 Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:8 ============ Isa 26:8 Yea, in the way of thy judgments, O LORD, have we waited for thee; the desire of our soul is to thy name, and to the remembrance of thee.(KJV-1611) Isa 26:8 Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:9 ============ Isa 26:9 With my soul have I desired thee in the night; yea, with my spirit within me will I seek thee early: for when thy judgments are in the earth, the inhabitants of the world will learn righteousness.(KJV-1611) Isa 26:9 Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:10 ============ Isa 26:10 Let favour be shewed to the wicked, yet will he not learn righteousness: in the land of uprightness will he deal unjustly, and will not behold the majesty of the LORD.(KJV-1611) Isa 26:10 Si yo fè mechan yo gras se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:11 ============ Isa 26:11 LORD, when thy hand is lifted up, they will not see: but they shall see, and be ashamed for their envy at the people; yea, the fire of thine enemies shall devour them.(KJV-1611) Isa 26:11 Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:12 ============ Isa 26:12 LORD, thou wilt ordain peace for us: for thou also hast wrought all our works in us.(KJV-1611) Isa 26:12 Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:13 ============ Isa 26:13 O LORD our God, other lords beside thee have had dominion over us: but by thee only will we make mention of thy name.(KJV-1611) Isa 26:13 Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!(Creole-HT) ======= Isaiah 26:14 ============ Isa 26:14 They are dead, they shall not live; they are deceased, they shall not rise: therefore hast thou visited and destroyed them, and made all their memory to perish.(KJV-1611) Isa 26:14 Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:15 ============ Isa 26:15 Thou hast increased the nation, O LORD, thou hast increased the nation: thou art glorified: thou hadst removed it far unto all the ends of the earth.(KJV-1611) Isa 26:15 Seyè, ou fè nasyon nou an vin pi plis. Ou fè l' vin pi plis, ou laji fwontyè peyi a. Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:16 ============ Isa 26:16 LORD, in trouble have they visited thee, they poured out a prayer when thy chastening was upon them.(KJV-1611) Isa 26:16 Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:17 ============ Isa 26:17 Like as a woman with child, that draweth near the time of her delivery, is in pain, and crieth out in her pangs; so have we been in thy sight, O LORD.(KJV-1611) Isa 26:17 Seyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:18 ============ Isa 26:18 We have been with child, we have been in pain, we have as it were brought forth wind; we have not wrought any deliverance in the earth; neither have the inhabitants of the world fallen.(KJV-1611) Isa 26:18 Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l' akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:19 ============ Isa 26:19 Thy dead men shall live, together with my dead body shall they arise. Awake and sing, ye that dwell in dust: for thy dew is as the dew of herbs, and the earth shall cast out the dead.(KJV-1611) Isa 26:19 Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:20 ============ Isa 26:20 Come, my people, enter thou into thy chambers, and shut thy doors about thee: hide thyself as it were for a little moment, until the indignation be overpast.(KJV-1611) Isa 26:20 Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase.(Creole-HT) ======= Isaiah 26:21 ============ Isa 26:21 For, behold, the LORD cometh out of his place to punish the inhabitants of the earth for their iniquity: the earth also shall disclose her blood, and shall no more cover her slain.(KJV-1611) Isa 26:21 Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:1 ============ Isa 27:1 In that day the LORD with his sore and great and strong sword shall punish leviathan the piercing serpent, even leviathan that crooked serpent; and he shall slay the dragon that is in the sea.(KJV-1611) Isa 27:1 Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:2 ============ Isa 27:2 In that day sing ye unto her, A vineyard of red wine.(KJV-1611) Isa 27:2 Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:3 ============ Isa 27:3 I the LORD do keep it; I will water it every moment: lest any hurt it, I will keep it night and day.(KJV-1611) Isa 27:3 Se mwen menm, Seyè a, k'ap okipe jaden an. Se chak lè m'ap wouze l'. Lajounen kou lannwit m'ap veye l', pou pesonn pa fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:4 ============ Isa 27:4 Fury is not in me: who would set the briers and thorns against me in battle? I would go through them, I would burn them together.(KJV-1611) Isa 27:4 Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:5 ============ Isa 27:5 Or let him take hold of my strength, that he may make peace with me; and he shall make peace with me.(KJV-1611) Isa 27:5 Men, si lènmi pèp mwen an vle pou m' pwoteje yo, se pou yo vin fè lapè ak mwen. Wi, se pou yo vin fè lapè ak mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:6 ============ Isa 27:6 He shall cause them that come of Jacob to take root: Israel shall blossom and bud, and fill the face of the world with fruit.(KJV-1611) Isa 27:6 Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:7 ============ Isa 27:7 Hath he smitten him, as he smote those that smote him? or is he slain according to the slaughter of them that are slain by him?(KJV-1611) Isa 27:7 Seyè a pa t' pini l' menm jan li te pini lènmi l' yo. Li pa t' touye moun li yo menm jan li te touye moun ki t'ap ansasinen l' yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:8 ============ Isa 27:8 In measure, when it shooteth forth, thou wilt debate with it: he stayeth his rough wind in the day of the east wind.(KJV-1611) Isa 27:8 Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:9 ============ Isa 27:9 By this therefore shall the iniquity of Jacob be purged; and this is all the fruit to take away his sin; when he maketh all the stones of the altar as chalkstones that are beaten in sunder, the groves and images shall not stand up.(KJV-1611) Isa 27:9 Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:10 ============ Isa 27:10 Yet the defenced city shall be desolate, and the habitation forsaken, and left like a wilderness: there shall the calf feed, and there shall he lie down, and consume the branches thereof.(KJV-1611) Isa 27:10 Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:11 ============ Isa 27:11 When the boughs thereof are withered, they shall be broken off: the women come, and set them on fire: for it is a people of no understanding: therefore he that made them will not have mercy on them, and he that formed them will shew them no favour.(KJV-1611) Isa 27:11 Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:12 ============ Isa 27:12 And it shall come to pass in that day, that the LORD shall beat off from the channel of the river unto the stream of Egypt, and ye shall be gathered one by one, O ye children of Israel.(KJV-1611) Isa 27:12 Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Seyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fwontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.(Creole-HT) ======= Isaiah 27:13 ============ Isa 27:13 And it shall come to pass in that day, that the great trumpet shall be blown, and they shall come which were ready to perish in the land of Assyria, and the outcasts in the land of Egypt, and shall worship the LORD in the holy mount at Jerusalem.(KJV-1611) Isa 27:13 Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:1 ============ Isa 28:1 Woe to the crown of pride, to the drunkards of Ephraim, whose glorious beauty is a fading flower, which are on the head of the fat valleys of them that are overcome with wine!(KJV-1611) Isa 28:1 Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 28:2 ============ Isa 28:2 Behold, the Lord hath a mighty and strong one, which as a tempest of hail and a destroying storm, as a flood of mighty waters overflowing, shall cast down to the earth with the hand.(KJV-1611) Isa 28:2 Seyè a gen yon moun ki gen fòs, yon moun ki gen pouvwa pou fè travay la pou li. L'ap vini tankou yon gwo lapli k'ap tonbe fòs avès, k'ap fè dlo moute anvayi toupatou. L'ap pran tout bagay nan men l', l'ap leve yo. l'ap fese yo atè.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:3 ============ Isa 28:3 The crown of pride, the drunkards of Ephraim, shall be trodden under feet:(KJV-1611) Isa 28:3 Li pral pilonnen anba pye li sa ki te fè lògèy gwògmann yo, chèf peyi Efrayim yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:4 ============ Isa 28:4 And the glorious beauty, which is on the head of the fat valley, shall be a fading flower, and as the hasty fruit before the summer; which when he that looketh upon it seeth, while it is yet in his hand he eateth it up.(KJV-1611) Isa 28:4 Bèl kapital chèf sa yo pral fini kraze sou tèt mòn kote l'ap donminen sou bon venn tè ki nan fon an. Enben, yo pral disparèt tankou premye fig frans mi ki parèt nan sezon an. Wè yon moun wè l', l'ap pran l', l'ap manje l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:5 ============ Isa 28:5 In that day shall the LORD of hosts be for a crown of glory, and for a diadem of beauty, unto the residue of his people,(KJV-1611) Isa 28:5 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:6 ============ Isa 28:6 And for a spirit of judgment to him that sitteth in judgment, and for strength to them that turn the battle to the gate.(KJV-1611) Isa 28:6 L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:7 ============ Isa 28:7 But they also have erred through wine, and through strong drink are out of the way; the priest and the prophet have erred through strong drink, they are swallowed up of wine, they are out of the way through strong drink; they err in vision, they stumble in judgment.(KJV-1611) Isa 28:7 Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:8 ============ Isa 28:8 For all tables are full of vomit and filthiness, so that there is no place clean.(KJV-1611) Isa 28:8 Yo vonmi sal tout tab kote yo chita a. Pa gen yon ti kote ki pa sal.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:9 ============ Isa 28:9 Whom shall he teach knowledge? and whom shall he make to understand doctrine? them that are weaned from the milk, and drawn from the breasts.(KJV-1611) Isa 28:9 Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l' konnen an? Gen lè se pou timoun ki fèk sevre, timoun ki fèk kite tete?(Creole-HT) ======= Isaiah 28:10 ============ Isa 28:10 For precept must be upon precept, precept upon precept; line upon line, line upon line; here a little, and there a little:(KJV-1611) Isa 28:10 Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:11 ============ Isa 28:11 For with stammering lips and another tongue will he speak to this people.(KJV-1611) Isa 28:11 Si yo pa koute m', Bondye pral voye yon bann moun k'ap pale yon lòt lang yo p'ap konprann menm pou pale ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:12 ============ Isa 28:12 To whom he said, This is the rest wherewith ye may cause the weary to rest; and this is the refreshing: yet they would not hear.(KJV-1611) Isa 28:12 Se li menm ki te ban nou yon kote pou n' poze kò nou, yon peyi kote tout moun ki bouke ka jwenn kanpo, yon peyi kote moun ka viv ak kè poze, men nou derefize koute.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:13 ============ Isa 28:13 But the word of the LORD was unto them precept upon precept, precept upon precept; line upon line, line upon line; here a little, and there a little; that they might go, and fall backward, and be broken, and snared, and taken.(KJV-1611) Isa 28:13 Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:14 ============ Isa 28:14 Wherefore hear the word of the LORD, ye scornful men, that rule this people which is in Jerusalem.(KJV-1611) Isa 28:14 Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou:(Creole-HT) ======= Isaiah 28:15 ============ Isa 28:15 Because ye have said, We have made a covenant with death, and with hell are we at agreement; when the overflowing scourge shall pass through, it shall not come unto us: for we have made lies our refuge, and under falsehood have we hid ourselves:(KJV-1611) Isa 28:15 -N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:16 ============ Isa 28:16 Therefore thus saith the Lord GOD, Behold, I lay in Zion for a foundation a stone, a tried stone, a precious corner stone, a sure foundation: he that believeth shall not make haste.(KJV-1611) Isa 28:16 Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:17 ============ Isa 28:17 Judgment also will I lay to the line, and righteousness to the plummet: and the hail shall sweep away the refuge of lies, and the waters shall overflow the hiding place.(KJV-1611) Isa 28:17 Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seriozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l' nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:18 ============ Isa 28:18 And your covenant with death shall be disannulled, and your agreement with hell shall not stand; when the overflowing scourge shall pass through, then ye shall be trodden down by it.(KJV-1611) Isa 28:18 Li pral kraze kontra nou te pase avèk lanmò a. Li pral chire papye nou te siyen avèk chèf peyi kote mò yo ye a. Lè malè a vini, l'a kraze nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:19 ============ Isa 28:19 From the time that it goeth forth it shall take you: for morning by morning shall it pass over, by day and by night: and it shall be a vexation only to understand the report.(KJV-1611) Isa 28:19 Malè a ap pase sou nou chak maten. N'a gen pou n' sipòte l' lajounen kou lannwit. Chak mesaj Bondye va fè yo konnen va ba yo sezisman.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:20 ============ Isa 28:20 For the bed is shorter than that a man can stretch himself on it: and the covering narrower than that he can wrap himself in it.(KJV-1611) Isa 28:20 Jan pawòl la di a, n'ap tankou moun k'ap chache kouche sou yon kabann twò kout pou yo, anba yon lenn ki manke lajè.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:21 ============ Isa 28:21 For the LORD shall rise up as in mount Perazim, he shall be wroth as in the valley of Gibeon, that he may do his work, his strange work; and bring to pass his act, his strange act.(KJV-1611) Isa 28:21 Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:22 ============ Isa 28:22 Now therefore be ye not mockers, lest your bands be made strong: for I have heard from the Lord GOD of hosts a consumption, even determined upon the whole earth.(KJV-1611) Isa 28:22 Koulye a, piga nou pase pawòl mwen yo nan betiz pou yo pa mare nou nan kòd pi rèd toujou. Paske, Seyè ki gen tout pouvwa a fè m' konnen li fin pran desizyon l' pou l' detwi tout peyi a. Li p'ap chanje lide.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:23 ============ Isa 28:23 Give ye ear, and hear my voice; hearken, and hear my speech.(KJV-1611) Isa 28:23 Pare zòrèy nou! Tande sa m'ap di nou! Koute byen pawòl k'ap soti nan bouch mwen!(Creole-HT) ======= Isaiah 28:24 ============ Isa 28:24 Doth the plowman plow all day to sow? doth he open and break the clods of his ground?(KJV-1611) Isa 28:24 Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l' ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:25 ============ Isa 28:25 When he hath made plain the face thereof, doth he not cast abroad the fitches, and scatter the cummin, and cast in the principal wheat and the appointed barley and the rie in their place?(KJV-1611) Isa 28:25 Rive yon lè, lè li fin bat tè a, l'ap simen grenn tankou lanni ak kannèl. Apre sa, l'ap plante ble, pitimi ak lòj. Lèfini, sou lizyè jaden an li gen dwa simen lòt grenn tankou pwa chouk.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:26 ============ Isa 28:26 For his God doth instruct him to discretion, and doth teach him.(KJV-1611) Isa 28:26 Li konn sa pou l' fè, paske se Bondye menm ki moutre l' sa pou l' fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:27 ============ Isa 28:27 For the fitches are not threshed with a threshing instrument, neither is a cart wheel turned about upon the cummin; but the fitches are beaten out with a staff, and the cummin with a rod.(KJV-1611) Isa 28:27 Yo pa janm sèvi ak woulo pou degrennen lanni osinon kannèl. Men, se avèk yon bout bwa yo bat pitimi ak pwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:28 ============ Isa 28:28 Bread corn is bruised; because he will not ever be threshing it, nor break it with the wheel of his cart, nor bruise it with his horsemen.(KJV-1611) Isa 28:28 Lè y'ap bat ble a pou degrennen l', yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 28:29 ============ Isa 28:29 This also cometh forth from the LORD of hosts, which is wonderful in counsel, and excellent in working.(KJV-1611) Isa 28:29 Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li soti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:1 ============ Isa 29:1 Woe to Ariel, to Ariel, the city where David dwelt! add ye year to year; let them kill sacrifices.(KJV-1611) Isa 29:1 Mwen wè malè pou lotèl Bondye a, lavil Jerizalèm! Mwen wè malè pou lavil kote David te moute kan li an. Kite ennan, dezan konsa pase, kite tout fèt yo fin pase,(Creole-HT) ======= Isaiah 29:2 ============ Isa 29:2 Yet I will distress Ariel, and there shall be heaviness and sorrow: and it shall be unto me as Ariel.(KJV-1611) Isa 29:2 Seyè a pral voye yon sèl lafliksyon sou lotèl Bondye a. Moun pral rele, yo pral plenn. Lavil la pral tounen yon lotèl Bondye tout bon kote y'ap ofri bèt yo touye pou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:3 ============ Isa 29:3 And I will camp against thee round about, and will lay siege against thee with a mount, and I will raise forts against thee.(KJV-1611) Isa 29:3 Bondye pral atake lavil la tankou David te fè l' la. Li pral sènen l' ak sòlda. L'ap fèmen l' toupatou.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:4 ============ Isa 29:4 And thou shalt be brought down, and shalt speak out of the ground, and thy speech shall be low out of the dust, and thy voice shall be, as of one that hath a familiar spirit, out of the ground, and thy speech shall whisper out of the dust.(KJV-1611) Isa 29:4 Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!(Creole-HT) ======= Isaiah 29:5 ============ Isa 29:5 Moreover the multitude of thy strangers shall be like small dust, and the multitude of the terrible ones shall be as chaff that passeth away: yea, it shall be at an instant suddenly.(KJV-1611) Isa 29:5 Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa,(Creole-HT) ======= Isaiah 29:6 ============ Isa 29:6 Thou shalt be visited of the LORD of hosts with thunder, and with earthquake, and great noise, with storm and tempest, and the flame of devouring fire.(KJV-1611) Isa 29:6 Seyè ki gen tout pouvwa a ap parèt sou ou, avèk gwo van loraj, tranblemanntè, ak yon pakèt gwo bri, avèk siklòn, van tanpèt ak gwo flanm dife k'ap boule.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:7 ============ Isa 29:7 And the multitude of all the nations that fight against Ariel, even all that fight against her and her munition, and that distress her, shall be as a dream of a night vision.(KJV-1611) Isa 29:7 Lè sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l' kote l' te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:8 ============ Isa 29:8 It shall even be as when an hungry man dreameth, and, behold, he eateth; but he awaketh, and his soul is empty: or as when a thirsty man dreameth, and, behold, he drinketh; but he awaketh, and, behold, he is faint, and his soul hath appetite: so shall the multitude of all the nations be, that fight against mount Zion.(KJV-1611) Isa 29:8 Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:9 ============ Isa 29:9 Stay yourselves, and wonder; cry ye out, and cry: they are drunken, but not with wine; they stagger, but not with strong drink.(KJV-1611) Isa 29:9 Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!(Creole-HT) ======= Isaiah 29:10 ============ Isa 29:10 For the LORD hath poured out upon you the spirit of deep sleep, and hath closed your eyes: the prophets and your rulers, the seers hath he covered.(KJV-1611) Isa 29:10 Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:11 ============ Isa 29:11 And the vision of all is become unto you as the words of a book that is sealed, which men deliver to one that is learned, saying, Read this, I pray thee: and he saith, I cannot; for it is sealed:(KJV-1611) Isa 29:11 Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l' bay yon moun ki konn li pou nou mande l' li l' pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:12 ============ Isa 29:12 And the book is delivered to him that is not learned, saying, Read this, I pray thee: and he saith, I am not learned.(KJV-1611) Isa 29:12 Lè ou pote l' bay yon moun ki pa konn li pou ou mande l' li l' pou ou, l'ap reponn ou li pa konn li.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:13 ============ Isa 29:13 Wherefore the Lord said, Forasmuch as this people draw near me with their mouth, and with their lips do honour me, but have removed their heart far from me, and their fear toward me is taught by the precept of men:(KJV-1611) Isa 29:13 Seyè a di: -Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:14 ============ Isa 29:14 Therefore, behold, I will proceed to do a marvellous work among this people, even a marvellous work and a wonder: for the wisdom of their wise men shall perish, and the understanding of their prudent men shall be hid.(KJV-1611) Isa 29:14 Se poutèt sa, mwen pral fè yon lòt seri mèvèy ak mirak devan je yo. Mwen pral detounen bon konprann moun save yo. Moun lespri yo ak tout konesans yo p'ap konprann anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:15 ============ Isa 29:15 Woe unto them that seek deep to hide their counsel from the LORD, and their works are in the dark, and they say, Who seeth us? and who knoweth us?(KJV-1611) Isa 29:15 Madichon pou moun k'ap kache Seyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo an kachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:16 ============ Isa 29:16 Surely your turning of things upside down shall be esteemed as the potter's clay: for shall the work say of him that made it, He made me not? or shall the thing framed say of him that framed it, He had no understanding?(KJV-1611) Isa 29:16 Nou vire tout bagay lanvè! Kilès ki pi konsekan, moun k'ap fè krich yo osinon tè wouj la? Eske bagay yon nonm fè ka di moun ki fè l' la se pa ou ki fè m'? Eske yon krich ka di moun ki fè l' la se moun sòt ou ye?(Creole-HT) ======= Isaiah 29:17 ============ Isa 29:17 Is it not yet a very little while, and Lebanon shall be turned into a fruitful field, and the fruitful field shall be esteemed as a forest?(KJV-1611) Isa 29:17 Anvan nou bat je nou, rakbwa peyi Liban tounen jaden, jaden tounen rakbwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:18 ============ Isa 29:18 And in that day shall the deaf hear the words of the book, and the eyes of the blind shall see out of obscurity, and out of darkness.(KJV-1611) Isa 29:18 Jou sa a, moun soudè yo va tande pawòl y'ap li nan liv. Avèg yo ki t'ap viv nan fènwa va louvri je yo, y'a wè.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:19 ============ Isa 29:19 The meek also shall increase their joy in the LORD, and the poor among men shall rejoice in the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 29:19 Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:20 ============ Isa 29:20 For the terrible one is brought to nought, and the scorner is consumed, and all that watch for iniquity are cut off:(KJV-1611) Isa 29:20 Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,(Creole-HT) ======= Isaiah 29:21 ============ Isa 29:21 That make a man an offender for a word, and lay a snare for him that reproveth in the gate, and turn aside the just for a thing of nought.(KJV-1611) Isa 29:21 moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:22 ============ Isa 29:22 Therefore thus saith the LORD, who redeemed Abraham, concerning the house of Jacob, Jacob shall not now be ashamed, neither shall his face now wax pale.(KJV-1611) Isa 29:22 Se poutèt sa, koulye a, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:23 ============ Isa 29:23 But when he seeth his children, the work of mine hands, in the midst of him, they shall sanctify my name, and sanctify the Holy One of Jacob, and shall fear the God of Israel.(KJV-1611) Isa 29:23 Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif.(Creole-HT) ======= Isaiah 29:24 ============ Isa 29:24 They also that erred in spirit shall come to understanding, and they that murmured shall learn doctrine.(KJV-1611) Isa 29:24 Moun ki te pèdi tèt yo va rive gen bon konprann. Moun ki te toujou ap bougonnen yo va kontan aprann nan men mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:1 ============ Isa 30:1 Woe to the rebellious children, saith the LORD, that take counsel, but not of me; and that cover with a covering, but not of my spirit, that they may add sin to sin:(KJV-1611) Isa 30:1 Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:2 ============ Isa 30:2 That walk to go down into Egypt, and have not asked at my mouth; to strengthen themselves in the strength of Pharaoh, and to trust in the shadow of Egypt!(KJV-1611) Isa 30:2 Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:3 ============ Isa 30:3 Therefore shall the strength of Pharaoh be your shame, and the trust in the shadow of Egypt your confusion.(KJV-1611) Isa 30:3 Men, farawon an p'ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:4 ============ Isa 30:4 For his princes were at Zoan, and his ambassadors came to Hanes.(KJV-1611) Isa 30:4 Malgre delege yo gen tan rive lavil Zoan ak lavil Anès,(Creole-HT) ======= Isaiah 30:5 ============ Isa 30:5 They were all ashamed of a people that could not profit them, nor be an help nor profit, but a shame, and also a reproach.(KJV-1611) Isa 30:5 pèp Jida a pral règrèt yo te janm mete konfyans yo nan yon pèp ki pa ka fè anyen pou yo, yon nasyon ki pa ka ni ede yo ni pote yo sekou, yon nasyon k'ap fè yo wont, yon nasyon k'ap ba yo desepsyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:6 ============ Isa 30:6 The burden of the beasts of the south: into the land of trouble and anguish, from whence come the young and old lion, the viper and fiery flying serpent, they will carry their riches upon the shoulders of young asses, and their treasures upon the bunches of camels, to a people that shall not profit them.(KJV-1611) Isa 30:6 Men yon mesaj Bondye bay sou bèt nan dezè Negèv yo: -Delege yo ap vwayaje nan yon peyi ki gen anpil danje, kote lyon ak manman lyon rete, kote gen move sèpan ak dragon azèl. Yo chaje bourik yo ak chamo yo avèk kado pou yon nasyon ki pa ka fè anyen pou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:7 ============ Isa 30:7 For the Egyptians shall help in vain, and to no purpose: therefore have I cried concerning this, Their strength is to sit still.(KJV-1611) Isa 30:7 Paske konkou Lejip ap ba yo a p'ap sèvi yo anyen, paske li pa vo anyen, se poutèt sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l': Dragon dan kase a.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:8 ============ Isa 30:8 Now go, write it before them in a table, and note it in a book, that it may be for the time to come for ever and ever:(KJV-1611) Isa 30:8 Seyè a di m': -Koulye a al ekri sa moun sa yo ye a sou yon adwaz. Ekri l' nan yon woulo liv, pou sa ka toujou sèvi m' temwen kont yo pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:9 ============ Isa 30:9 That this is a rebellious people, lying children, children that will not hear the law of the LORD:(KJV-1611) Isa 30:9 Yo toujou ap fè tèt di ak Bondye. Se yon bann pitit ki toujou ap bay manti, ki pa vle koute lòd Bondye, Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:10 ============ Isa 30:10 Which say to the seers, See not; and to the prophets, Prophesy not unto us right things, speak unto us smooth things, prophesy deceits:(KJV-1611) Isa 30:10 Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:11 ============ Isa 30:11 Get you out of the way, turn aside out of the path, cause the Holy One of Israel to cease from before us.(KJV-1611) Isa 30:11 Wete kò nou sou bon wout la! Fè sou kote! Pa vin pale nou sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:12 ============ Isa 30:12 Wherefore thus saith the Holy One of Israel, Because ye despise this word, and trust in oppression and perverseness, and stay thereon:(KJV-1611) Isa 30:12 Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:13 ============ Isa 30:13 Therefore this iniquity shall be to you as a breach ready to fall, swelling out in a high wall, whose breaking cometh suddenly at an instant.(KJV-1611) Isa 30:13 Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:14 ============ Isa 30:14 And he shall break it as the breaking of the potters' vessel that is broken in pieces; he shall not spare: so that there shall not be found in the bursting of it a sherd to take fire from the hearth, or to take water withal out of the pit.(KJV-1611) Isa 30:14 N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:15 ============ Isa 30:15 For thus saith the Lord GOD, the Holy One of Israel; In returning and rest shall ye be saved; in quietness and in confidence shall be your strength: and ye would not.(KJV-1611) Isa 30:15 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t' vle.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:16 ============ Isa 30:16 But ye said, No; for we will flee upon horses; therefore shall ye flee: and, We will ride upon the swift; therefore shall they that pursue you be swift.(KJV-1611) Isa 30:16 Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 30:17 ============ Isa 30:17 One thousand shall flee at the rebuke of one; at the rebuke of five shall ye flee: till ye be left as a beacon upon the top of a mountain, and as an ensign on an hill.(KJV-1611) Isa 30:17 Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:18 ============ Isa 30:18 And therefore will the LORD wait, that he may be gracious unto you, and therefore will he be exalted, that he may have mercy upon you: for the LORD is a God of judgment: blessed are all they that wait for him.(KJV-1611) Isa 30:18 Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:19 ============ Isa 30:19 For the people shall dwell in Zion at Jerusalem: thou shalt weep no more: he will be very gracious unto thee at the voice of thy cry; when he shall hear it, he will answer thee.(KJV-1611) Isa 30:19 Nou menm ki rete lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, nou p'ap kriye ankò. Rele n'a rele l', l'a fè nou gras. Tande l'a tande nou, l'ap reponn nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:20 ============ Isa 30:20 And though the Lord give you the bread of adversity, and the water of affliction, yet shall not thy teachers be removed into a corner any more, but thine eyes shall see thy teachers:(KJV-1611) Isa 30:20 Bondye va fè nou manje kont mizè nou, l'a fè nou pase kont tray nou, men l'ap la pou l' moutre nou sa pou l' moutre nou an. N'ap wè l' ak de grenn je nou, nou p'ap bezwen al chache l' ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:21 ============ Isa 30:21 And thine ears shall hear a word behind thee, saying, This is the way, walk ye in it, when ye turn to the right hand, and when ye turn to the left.(KJV-1611) Isa 30:21 Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!(Creole-HT) ======= Isaiah 30:22 ============ Isa 30:22 Ye shall defile also the covering of thy graven images of silver, and the ornament of thy molten images of gold: thou shalt cast them away as a menstruous cloth; thou shalt say unto it, Get thee hence.(KJV-1611) Isa 30:22 N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 30:23 ============ Isa 30:23 Then shall he give the rain of thy seed, that thou shalt sow the ground withal; and bread of the increase of the earth, and it shall be fat and plenteous: in that day shall thy cattle feed in large pastures.(KJV-1611) Isa 30:23 Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:24 ============ Isa 30:24 The oxen likewise and the young asses that ear the ground shall eat clean provender, which hath been winnowed with the shovel and with the fan.(KJV-1611) Isa 30:24 Towo bèf ak bourik k'ap sèvi pou travay tè nou va jwenn bon manje pou yo manje, bon zèb sale y'a vannen epi y'a ranmase ak fouch mete nan depo.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:25 ============ Isa 30:25 And there shall be upon every high mountain, and upon every high hill, rivers and streams of waters in the day of the great slaughter, when the towers fall.(KJV-1611) Isa 30:25 Jou y'a kraze fò lènmi nou yo, jou y'a masakre tout lènmi nou yo, sous dlo pral pete nan tout gwo mòn, nan tout ti mòn koule desann.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:26 ============ Isa 30:26 Moreover the light of the moon shall be as the light of the sun, and the light of the sun shall be sevenfold, as the light of seven days, in the day that the LORD bindeth up the breach of his people, and healeth the stroke of their wound.(KJV-1611) Isa 30:26 Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:27 ============ Isa 30:27 Behold, the name of the LORD cometh from far, burning with his anger, and the burden thereof is heavy: his lips are full of indignation, and his tongue as a devouring fire:(KJV-1611) Isa 30:27 Pouvwa Bondye a pral vin soti byen lwen. Dife ak lafimen ap fè wè jan li move. L'ap fè kòlè, pawòl li yo tankou boukan dife nan raje.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:28 ============ Isa 30:28 And his breath, as an overflowing stream, shall reach to the midst of the neck, to sift the nations with the sieve of vanity: and there shall be a bridle in the jaws of the people, causing them to err.(KJV-1611) Isa 30:28 Li fè van soufle, ou ta di yon ravin k'ap desann, dlo li rive rabo. L'ap boulvèse nasyon yo jouk li detwi yo, l'ap detounen tout move lide yo te gen nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:29 ============ Isa 30:29 Ye shall have a song, as in the night when a holy solemnity is kept; and gladness of heart, as when one goeth with a pipe to come into the mountain of the LORD, to the mighty One of Israel.(KJV-1611) Isa 30:29 Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l' lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Seyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:30 ============ Isa 30:30 And the LORD shall cause his glorious voice to be heard, and shall shew the lighting down of his arm, with the indignation of his anger, and with the flame of a devouring fire, with scattering, and tempest, and hailstones.(KJV-1611) Isa 30:30 Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:31 ============ Isa 30:31 For through the voice of the LORD shall the Assyrian be beaten down, which smote with a rod.(KJV-1611) Isa 30:31 Moun peyi Lasiri yo pral tranble lè y'a tande vwa Seyè a k'ap ba yo baton.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:32 ============ Isa 30:32 And in every place where the grounded staff shall pass, which the LORD shall lay upon him, it shall be with tabrets and harps: and in battles of shaking will he fight with it.(KJV-1611) Isa 30:32 Chak fwa Seyè a va ba yo yon kout baton pou l' pini yo, y'a tande son tanbou ak son gita k'ap jwe nan peyi Izrayèl. Se Seyè a menm ki pral goumen ak moun Lasiri yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 30:33 ============ Isa 30:33 For Tophet is ordained of old; yea, for the king it is prepared; he hath made it deep and large: the pile thereof is fire and much wood; the breath of the LORD, like a stream of brimstone, doth kindle it.(KJV-1611) Isa 30:33 Depi lontan yo te pare yon gwo twou pou dife boukan an. Se ladan l' yo pral boule wa a. Yo fè twou a byen fon, byen laj. Yo plen l' bwa. Seyè a pral soufle yon flanm dife melanje ak souf sou li pou boule l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:1 ============ Isa 31:1 Woe to them that go down to Egypt for help; and stay on horses, and trust in chariots, because they are many; and in horsemen, because they are very strong; but they look not unto the Holy One of Israel, neither seek the LORD!(KJV-1611) Isa 31:1 Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:2 ============ Isa 31:2 Yet he also is wise, and will bring evil, and will not call back his words: but will arise against the house of the evildoers, and against the help of them that work iniquity.(KJV-1611) Isa 31:2 Men tou, Seyè a konn sa l'ap fè. L'ap voye malè sou mechan yo, li p'ap chanje pawòl. L'ap pini mechan yo ansanm ak moun k'ap pwoteje mechan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:3 ============ Isa 31:3 Now the Egyptians are men, and not God; and their horses flesh, and not spirit. When the LORD shall stretch out his hand, both he that helpeth shall fall, and he that is holpen shall fall down, and they all shall fail together.(KJV-1611) Isa 31:3 Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm!(Creole-HT) ======= Isaiah 31:4 ============ Isa 31:4 For thus hath the LORD spoken unto me, Like as the lion and the young lion roaring on his prey, when a multitude of shepherds is called forth against him, he will not be afraid of their voice, nor abase himself for the noise of them: so shall the LORD of hosts come down to fight for mount Zion, and for the hill thereof.(KJV-1611) Isa 31:4 Men sa Seyè a di m' ankò: -Menm jan yon gwo lyon osinon yon ti lyon ap gwonde lè li fin pran yon bèt, tout gadò yo te mèt mete ansanm pou goumen ak li, yo te mèt rele, sa p'ap fè l' pè, yo te mèt anpil, sa p'ap kraponnen l', konsa tou, Seyè ki gen tout pouvwa a pral desann pou l' pran defans mòn Siyon an ak ti mòn ki pou li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:5 ============ Isa 31:5 As birds flying, so will the LORD of hosts defend Jerusalem; defending also he will deliver it; and passing over he will preserve it.(KJV-1611) Isa 31:5 Menm jan zwezo louvri zèl li anwo nich li pou pwoteje pitit li, konsa tou Seyè ki gen tout pouvwa a pral louvri zèl li pwoteje lavil Jerizalèm. L'ap pwoteje l', l'ap delivre l', l'ap pran defans li, l'ap sove l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:6 ============ Isa 31:6 Turn ye unto him from whom the children of Israel have deeply revolted.(KJV-1611) Isa 31:6 Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!(Creole-HT) ======= Isaiah 31:7 ============ Isa 31:7 For in that day every man shall cast away his idols of silver, and his idols of gold, which your own hands have made unto you for a sin.(KJV-1611) Isa 31:7 Jou sa a, n'a voye jete tout bann vye zidòl nou te fè an ajan ak an lò ak men plen san nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:8 ============ Isa 31:8 Then shall the Assyrian fall with the sword, not of a mighty man; and the sword, not of a mean man, shall devour him: but he shall flee from the sword, and his young men shall be discomfited.(KJV-1611) Isa 31:8 Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.(Creole-HT) ======= Isaiah 31:9 ============ Isa 31:9 And he shall pass over to his strong hold for fear, and his princes shall be afraid of the ensign, saith the LORD, whose fire is in Zion, and his furnace in Jerusalem.(KJV-1611) Isa 31:9 Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:1 ============ Isa 32:1 Behold, a king shall reign in righteousness, and princes shall rule in judgment.(KJV-1611) Isa 32:1 Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:2 ============ Isa 32:2 And a man shall be as an hiding place from the wind, and a covert from the tempest; as rivers of water in a dry place, as the shadow of a great rock in a weary land.(KJV-1611) Isa 32:2 Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:3 ============ Isa 32:3 And the eyes of them that see shall not be dim, and the ears of them that hear shall hearken.(KJV-1611) Isa 32:3 Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:4 ============ Isa 32:4 The heart also of the rash shall understand knowledge, and the tongue of the stammerers shall be ready to speak plainly.(KJV-1611) Isa 32:4 Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:5 ============ Isa 32:5 The vile person shall be no more called liberal, nor the churl said to be bountiful.(KJV-1611) Isa 32:5 P'ap gen moun k'ap asepte pran moun sòt pou moun debyen, ni bakoulou pou bon moun.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:6 ============ Isa 32:6 For the vile person will speak villany, and his heart will work iniquity, to practise hypocrisy, and to utter error against the LORD, to make empty the soul of the hungry, and he will cause the drink of the thirsty to fail.(KJV-1611) Isa 32:6 Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:7 ============ Isa 32:7 The instruments also of the churl are evil: he deviseth wicked devices to destroy the poor with lying words, even when the needy speaketh right.(KJV-1611) Isa 32:7 Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:8 ============ Isa 32:8 But the liberal deviseth liberal things; and by liberal things shall he stand.(KJV-1611) Isa 32:8 Men, bon moun, se toujou sa ki byen l'ap chache fè, li p'ap janm fè anyen ki pa sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:9 ============ Isa 32:9 Rise up, ye women that are at ease; hear my voice, ye careless daughters; give ear unto my speech.(KJV-1611) Isa 32:9 Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di:(Creole-HT) ======= Isaiah 32:10 ============ Isa 32:10 Many days and years shall ye be troubled, ye careless women: for the vintage shall fail, the gathering shall not come.(KJV-1611) Isa 32:10 Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:11 ============ Isa 32:11 Tremble, ye women that are at ease; be troubled, ye careless ones: strip you, and make you bare, and gird sackcloth upon your loins.(KJV-1611) Isa 32:11 Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,(Creole-HT) ======= Isaiah 32:12 ============ Isa 32:12 They shall lament for the teats, for the pleasant fields, for the fruitful vine.(KJV-1611) Isa 32:12 paske nou pral nan lapenn lè n'a chonje bèl jaden ak bèl grap rezen nou yo, lè n'a wè se pikan ak raje k'ap pouse nan tout jaden pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:13 ============ Isa 32:13 Upon the land of my people shall come up thorns and briers; yea, upon all the houses of joy in the joyous city:(KJV-1611) Isa 32:13 Nou pral kriye lè n'a chonje tout kay kote moun yo te konn gen kè kontan nan lavil ki te gen anpil aktivite a.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:14 ============ Isa 32:14 Because the palaces shall be forsaken; the multitude of the city shall be left; the forts and towers shall be for dens for ever, a joy of wild asses, a pasture of flocks;(KJV-1611) Isa 32:14 Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:15 ============ Isa 32:15 Until the spirit be poured upon us from on high, and the wilderness be a fruitful field, and the fruitful field be counted for a forest.(KJV-1611) Isa 32:15 Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:16 ============ Isa 32:16 Then judgment shall dwell in the wilderness, and righteousness remain in the fruitful field.(KJV-1611) Isa 32:16 Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:17 ============ Isa 32:17 And the work of righteousness shall be peace; and the effect of righteousness quietness and assurance for ever.(KJV-1611) Isa 32:17 Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:18 ============ Isa 32:18 And my people shall dwell in a peaceable habitation, and in sure dwellings, and in quiet resting places;(KJV-1611) Isa 32:18 Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:19 ============ Isa 32:19 When it shall hail, coming down on the forest; and the city shall be low in a low place.(KJV-1611) Isa 32:19 Men lagrèl pral tonbe sou gwo rakbwa a. Yo pral kraze lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 32:20 ============ Isa 32:20 Blessed are ye that sow beside all waters, that send forth thither the feet of the ox and the ass.(KJV-1611) Isa 32:20 Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 33:1 ============ Isa 33:1 Woe to thee that spoilest, and thou wast not spoiled; and dealest treacherously, and they dealt not treacherously with thee! when thou shalt cease to spoil, thou shalt be spoiled; and when thou shalt make an end to deal treacherously, they shall deal treacherously with thee.(KJV-1611) Isa 33:1 Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!(Creole-HT) ======= Isaiah 33:2 ============ Isa 33:2 O LORD, be gracious unto us; we have waited for thee: be thou their arm every morning, our salvation also in the time of trouble.(KJV-1611) Isa 33:2 Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!(Creole-HT) ======= Isaiah 33:3 ============ Isa 33:3 At the noise of the tumult the people fled; at the lifting up of thyself the nations were scattered.(KJV-1611) Isa 33:3 Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:4 ============ Isa 33:4 And your spoil shall be gathered like the gathering of the caterpiller: as the running to and fro of locusts shall he run upon them.(KJV-1611) Isa 33:4 Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:5 ============ Isa 33:5 The LORD is exalted; for he dwelleth on high: he hath filled Zion with judgment and righteousness.(KJV-1611) Isa 33:5 Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:6 ============ Isa 33:6 And wisdom and knowledge shall be the stability of thy times, and strength of salvation: the fear of the LORD is his treasure.(KJV-1611) Isa 33:6 Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:7 ============ Isa 33:7 Behold, their valiant ones shall cry without: the ambassadors of peace shall weep bitterly.(KJV-1611) Isa 33:7 Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:8 ============ Isa 33:8 The highways lie waste, the wayfaring man ceaseth: he hath broken the covenant, he hath despised the cities, he regardeth no man.(KJV-1611) Isa 33:8 Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:9 ============ Isa 33:9 The earth mourneth and languisheth: Lebanon is ashamed and hewn down: Sharon is like a wilderness; and Bashan and Carmel shake off their fruits.(KJV-1611) Isa 33:9 Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:10 ============ Isa 33:10 Now will I rise, saith the LORD; now will I be exalted; now will I lift up myself.(KJV-1611) Isa 33:10 Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m'ap leve kanpe, m'ap fè nou wè jan m' gen pouvwa, jan m' gen fòs kouraj.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:11 ============ Isa 33:11 Ye shall conceive chaff, ye shall bring forth stubble: your breath, as fire, shall devour you.(KJV-1611) Isa 33:11 N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:12 ============ Isa 33:12 And the people shall be as the burnings of lime: as thorns cut up shall they be burned in the fire.(KJV-1611) Isa 33:12 M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:13 ============ Isa 33:13 Hear, ye that are far off, what I have done; and, ye that are near, acknowledge my might.(KJV-1611) Isa 33:13 Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m' gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:14 ============ Isa 33:14 The sinners in Zion are afraid; fearfulness hath surprised the hypocrites. Who among us shall dwell with the devouring fire? who among us shall dwell with everlasting burnings?(KJV-1611) Isa 33:14 Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?(Creole-HT) ======= Isaiah 33:15 ============ Isa 33:15 He that walketh righteously, and speaketh uprightly; he that despiseth the gain of oppressions, that shaketh his hands from holding of bribes, that stoppeth his ears from hearing of blood, and shutteth his eyes from seeing evil;(KJV-1611) Isa 33:15 Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:16 ============ Isa 33:16 He shall dwell on high: his place of defence shall be the munitions of rocks: bread shall be given him; his waters shall be sure.(KJV-1611) Isa 33:16 Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:17 ============ Isa 33:17 Thine eyes shall see the king in his beauty: they shall behold the land that is very far off.(KJV-1611) Isa 33:17 Yon jou, n'a wè yon wa k'ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:18 ============ Isa 33:18 Thine heart shall meditate terror. Where is the scribe? where is the receiver? where is he that counted the towers?(KJV-1611) Isa 33:18 Lè sa a, n'a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n'a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t'ap mache enspekte fò yo?(Creole-HT) ======= Isaiah 33:19 ============ Isa 33:19 Thou shalt not see a fierce people, a people of a deeper speech than thou canst perceive; of a stammering tongue, that thou canst not understand.(KJV-1611) Isa 33:19 Nou p'ap wè bann moun awogan sa yo ankò, bann moun ki soti lòt peyi, ki pale lòt lang ou pa ka menm konprann, yon lang k'ap kòche zòrèy ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:20 ============ Isa 33:20 Look upon Zion, the city of our solemnities: thine eyes shall see Jerusalem a quiet habitation, a tabernacle that shall not be taken down; not one of the stakes thereof shall ever be removed, neither shall any of the cords thereof be broken.(KJV-1611) Isa 33:20 Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:21 ============ Isa 33:21 But there the glorious LORD will be unto us a place of broad rivers and streams; wherein shall go no galley with oars, neither shall gallant ship pass thereby.(KJV-1611) Isa 33:21 Se la Seyè a pral fè nou wè pouvwa li. M'ap rete bò gwo larivyè a ak gwo kannal dlo yo, men ankenn kannòt, ankenn batiman lènmi p'ap ka pase ladan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:22 ============ Isa 33:22 For the LORD is our judge, the LORD is our lawgiver, the LORD is our king; he will save us.(KJV-1611) Isa 33:22 Paske, se Seyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:23 ============ Isa 33:23 Thy tacklings are loosed; they could not well strengthen their mast, they could not spread the sail: then is the prey of a great spoil divided; the lame take the prey.(KJV-1611) Isa 33:23 Tout kòd batiman yo p'ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y'ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou.(Creole-HT) ======= Isaiah 33:24 ============ Isa 33:24 And the inhabitant shall not say, I am sick: the people that dwell therein shall be forgiven their iniquity.(KJV-1611) Isa 33:24 Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:1 ============ Isa 34:1 Come near, ye nations, to hear; and hearken, ye people: let the earth hear, and all that is therein; the world, and all things that come forth of it.(KJV-1611) Isa 34:1 Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!(Creole-HT) ======= Isaiah 34:2 ============ Isa 34:2 For the indignation of the LORD is upon all nations, and his fury upon all their armies: he hath utterly destroyed them, he hath delivered them to the slaughter.(KJV-1611) Isa 34:2 Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:3 ============ Isa 34:3 Their slain also shall be cast out, and their stink shall come up out of their carcases, and the mountains shall be melted with their blood.(KJV-1611) Isa 34:3 Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:4 ============ Isa 34:4 And all the host of heaven shall be dissolved, and the heavens shall be rolled together as a scroll: and all their host shall fall down, as the leaf falleth off from the vine, and as a falling fig from the fig tree.(KJV-1611) Isa 34:4 Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:5 ============ Isa 34:5 For my sword shall be bathed in heaven: behold, it shall come down upon Idumea, and upon the people of my curse, to judgment.(KJV-1611) Isa 34:5 Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:6 ============ Isa 34:6 The sword of the LORD is filled with blood, it is made fat with fatness, and with the blood of lambs and goats, with the fat of the kidneys of rams: for the LORD hath a sacrifice in Bozrah, and a great slaughter in the land of Idumea.(KJV-1611) Isa 34:6 Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:7 ============ Isa 34:7 And the unicorns shall come down with them, and the bullocks with the bulls; and their land shall be soaked with blood, and their dust made fat with fatness.(KJV-1611) Isa 34:7 Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:8 ============ Isa 34:8 For it is the day of the LORD's vengeance, and the year of recompences for the controversy of Zion.(KJV-1611) Isa 34:8 Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:9 ============ Isa 34:9 And the streams thereof shall be turned into pitch, and the dust thereof into brimstone, and the land thereof shall become burning pitch.(KJV-1611) Isa 34:9 Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:10 ============ Isa 34:10 It shall not be quenched night nor day; the smoke thereof shall go up for ever: from generation to generation it shall lie waste; none shall pass through it for ever and ever.(KJV-1611) Isa 34:10 L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:11 ============ Isa 34:11 But the cormorant and the bittern shall possess it; the owl also and the raven shall dwell in it: and he shall stretch out upon it the line of confusion, and the stones of emptiness.(KJV-1611) Isa 34:11 Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:12 ============ Isa 34:12 They shall call the nobles thereof to the kingdom, but none shall be there, and all her princes shall be nothing.(KJV-1611) Isa 34:12 P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:13 ============ Isa 34:13 And thorns shall come up in her palaces, nettles and brambles in the fortresses thereof: and it shall be an habitation of dragons, and a court for owls.(KJV-1611) Isa 34:13 Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:14 ============ Isa 34:14 The wild beasts of the desert shall also meet with the wild beasts of the island, and the satyr shall cry to his fellow; the screech owl also shall rest there, and find for herself a place of rest.(KJV-1611) Isa 34:14 Bèt k'ap viv nan dezè yo pral kontre ak chen mawon. Mal yo, yonn pral rele lòt. Se la lagrandyab la pral rete. Se la l'a jwenn yon kote pou l' poze kò l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:15 ============ Isa 34:15 There shall the great owl make her nest, and lay, and hatch, and gather under her shadow: there shall the vultures also be gathered, every one with her mate.(KJV-1611) Isa 34:15 Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:16 ============ Isa 34:16 Seek ye out of the book of the LORD, and read: no one of these shall fail, none shall want her mate: for my mouth it hath commanded, and his spirit it hath gathered them.(KJV-1611) Isa 34:16 Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Isaiah 34:17 ============ Isa 34:17 And he hath cast the lot for them, and his hand hath divided it unto them by line: they shall possess it for ever, from generation to generation shall they dwell therein.(KJV-1611) Isa 34:17 Se li menm menm ki pral separe tè a ba yo chak pòsyon pa yo. Y'ap rete nan peyi a pou tout tan. Peyi a va rele yo pa yo jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:1 ============ Isa 35:1 The wilderness and the solitary place shall be glad for them; and the desert shall rejoice, and blossom as the rose.(KJV-1611) Isa 35:1 Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:2 ============ Isa 35:2 It shall blossom abundantly, and rejoice even with joy and singing: the glory of Lebanon shall be given unto it, the excellency of Carmel and Sharon, they shall see the glory of the LORD, and the excellency of our God.(KJV-1611) Isa 35:2 Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:3 ============ Isa 35:3 Strengthen ye the weak hands, and confirm the feeble knees.(KJV-1611) Isa 35:3 Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!(Creole-HT) ======= Isaiah 35:4 ============ Isa 35:4 Say to them that are of a fearful heart, Be strong, fear not: behold, your God will come with vengeance, even God with a recompence; he will come and save you.(KJV-1611) Isa 35:4 Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:5 ============ Isa 35:5 Then the eyes of the blind shall be opened, and the ears of the deaf shall be unstopped.(KJV-1611) Isa 35:5 Je avèg yo pral louvri. Zòrèy moun soudè yo pral debouche.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:6 ============ Isa 35:6 Then shall the lame man leap as an hart, and the tongue of the dumb sing: for in the wilderness shall waters break out, and streams in the desert.(KJV-1611) Isa 35:6 Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:7 ============ Isa 35:7 And the parched ground shall become a pool, and the thirsty land springs of water: in the habitation of dragons, where each lay, shall be grass with reeds and rushes.(KJV-1611) Isa 35:7 Kote sab la te cho a pral tounen yon letan. Tè sèk yo pral plen sous dlo. Kote chen mawon te konn rete a se la wozo ak jon pral pouse an kantite.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:8 ============ Isa 35:8 And an highway shall be there, and a way, and it shall be called The way of holiness; the unclean shall not pass over it; but it shall be for those: the wayfaring men, though fools, shall not err therein.(KJV-1611) Isa 35:8 Pral gen yon bèl wout pase la. Y'ap rele l': Wout Bondye a! Moun k'ap fè sa ki mal p'ap pase nan wout sa a. Se va sèlman pou moun ki mache dwat yo. Wi, pou yo ase. Ankenn bakoulou p'ap ka detounen moun k'ap swiv chemen sa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 35:9 ============ Isa 35:9 No lion shall be there, nor any ravenous beast shall go up thereon, it shall not be found there; but the redeemed shall walk there:(KJV-1611) Isa 35:9 P'ap gen lyon sou wout sa a. P'ap gen bèt bwa k'ap pase la. Se moun Seyè a delivre ase ki pral vwayaje sou li. P'ap gen lòt moun ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 35:10 ============ Isa 35:10 And the ransomed of the LORD shall return, and come to Zion with songs and everlasting joy upon their heads: they shall obtain joy and gladness, and sorrow and sighing shall flee away.(KJV-1611) Isa 35:10 Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 36:1 ============ Isa 36:1 Now it came to pass in the fourteenth year of king Hezekiah, that Sennacherib king of Assyria came up against all the defenced cities of Judah, and took them.(KJV-1611) Isa 36:1 Ezekyas te gen katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:2 ============ Isa 36:2 And the king of Assyria sent Rabshakeh from Lachish to Jerusalem unto king Hezekiah with a great army. And he stood by the conduit of the upper pool in the highway of the fuller's field.(KJV-1611) Isa 36:2 Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil lakis ak yon gwo lame pou l' moute lavil Jerizalèm ale bò kote wa Ezekyas. Chèf gad palè a rive sou wout ki mennen nan jaden kote yo rense twal ki fenk tenn yo, li moute kan li toupre gwo kannal ki bay dlo nan sitèn anwo lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:3 ============ Isa 36:3 Then came forth unto him Eliakim, Hilkiah's son, which was over the house, and Shebna the scribe, and Joah, Asaph's son, the recorder.(KJV-1611) Isa 36:3 Twa moun Jida soti vin jwenn li. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:4 ============ Isa 36:4 And Rabshakeh said unto them, Say ye now to Hezekiah, Thus saith the great king, the king of Assyria, What confidence is this wherein thou trustest?(KJV-1611) Isa 36:4 Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: -Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:5 ============ Isa 36:5 I say, sayest thou, (but they are but vain words) I have counsel and strength for war: now on whom dost thou trust, that thou rebellest against me?(KJV-1611) Isa 36:5 Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:6 ============ Isa 36:6 Lo, thou trustest in the staff of this broken reed, on Egypt; whereon if a man lean, it will go into his hand, and pierce it: so is Pharaoh king of Egypt to all that trust in him.(KJV-1611) Isa 36:6 Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:7 ============ Isa 36:7 But if thou say to me, We trust in the LORD our God: is it not he, whose high places and whose altars Hezekiah hath taken away, and said to Judah and to Jerusalem, Ye shall worship before this altar?(KJV-1611) Isa 36:7 Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:8 ============ Isa 36:8 Now therefore give pledges, I pray thee, to my master the king of Assyria, and I will give thee two thousand horses, if thou be able on thy part to set riders upon them.(KJV-1611) Isa 36:8 Antann nou avèk mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:9 ============ Isa 36:9 How then wilt thou turn away the face of one captain of the least of my master's servants, and put thy trust on Egypt for chariots and for horsemen?(KJV-1611) Isa 36:9 Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!(Creole-HT) ======= Isaiah 36:10 ============ Isa 36:10 And am I now come up without the LORD against this land to destroy it? the LORD said unto me, Go up against this land, and destroy it.(KJV-1611) Isa 36:10 Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' vin atake peyi ou la pou m' detwi l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:11 ============ Isa 36:11 Then said Eliakim and Shebna and Joah unto Rabshakeh, Speak, I pray thee, unto thy servants in the Syrian language; for we understand it: and speak not to us in the Jews' language, in the ears of the people that are on the wall.(KJV-1611) Isa 36:11 Lè sa a, Elyakim, Chebna ansanm ak Joak di chèf gad palè a: -Tanpri, mèt. Pale lang arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:12 ============ Isa 36:12 But Rabshakeh said, Hath my master sent me to thy master and to thee to speak these words? hath he not sent me to the men that sit upon the wall, that they may eat their own dung, and drink their own piss with you?(KJV-1611) Isa 36:12 Men chèf gad palè a di yo an ebre: -An! Nou konprann se avè wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. Se ak tout moun ki chita sou miray la menm m'ap pale. Yo menm tou pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 36:13 ============ Isa 36:13 Then Rabshakeh stood, and cried with a loud voice in the Jews' language, and said, Hear ye the words of the great king, the king of Assyria.(KJV-1611) Isa 36:13 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di: -Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou:(Creole-HT) ======= Isaiah 36:14 ============ Isa 36:14 Thus saith the king, Let not Hezekiah deceive you: for he shall not be able to deliver you.(KJV-1611) Isa 36:14 Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande!(Creole-HT) ======= Isaiah 36:15 ============ Isa 36:15 Neither let Hezekiah make you trust in the LORD, saying, The LORD will surely deliver us: this city shall not be delivered into the hand of the king of Assyria.(KJV-1611) Isa 36:15 Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, li p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:16 ============ Isa 36:16 Hearken not to Hezekiah: for thus saith the king of Assyria, Make an agreement with me by a present, and come out to me: and eat ye every one of his vine, and every one of his fig tree, and drink ye every one the waters of his own cistern;(KJV-1611) Isa 36:16 Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:17 ============ Isa 36:17 Until I come and take you away to a land like your own land, a land of corn and wine, a land of bread and vineyards.(KJV-1611) Isa 36:17 Lè wa a va vin isit la, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:18 ============ Isa 36:18 Beware lest Hezekiah persuade you, saying, the LORD will deliver us. Hath any of the gods of the nations delivered his land out of the hand of the king of Assyria?(KJV-1611) Isa 36:18 Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:19 ============ Isa 36:19 Where are the gods of Hamath and Arphad? where are the gods of Sepharvaim? and have they delivered Samaria out of my hand?(KJV-1611) Isa 36:19 Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:20 ============ Isa 36:20 Who are they among all the gods of these lands, that have delivered their land out of my hand, that the LORD should deliver Jerusalem out of my hand?(KJV-1611) Isa 36:20 Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove yonn nan peyi sa yo anba men l'? Atò, se Seyè a ki ta ka sove lavil Jerizalèm anba men l'?(Creole-HT) ======= Isaiah 36:21 ============ Isa 36:21 But they held their peace, and answered him not a word: for the king's commandment was, saying, Answer him not.(KJV-1611) Isa 36:21 Men pèp la pa louvri bouch li reponn. Yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.(Creole-HT) ======= Isaiah 36:22 ============ Isa 36:22 Then came Eliakim, the son of Hilkiah, that was over the household, and Shebna the scribe, and Joah, the son of Asaph, the recorder, to Hezekiah with their clothes rent, and told him the words of Rabshakeh.(KJV-1611) Isa 36:22 Apre sa, Elyakim, pitit Ilkiya a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:1 ============ Isa 37:1 And it came to pass, when king Hezekiah heard it, that he rent his clothes, and covered himself with sackcloth, and went into the house of the LORD.(KJV-1611) Isa 37:1 Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi li al nan tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:2 ============ Isa 37:2 And he sent Eliakim, who was over the household, and Shebna the scribe, and the elders of the priests covered with sackcloth, unto Isaiah the prophet the son of Amoz.(KJV-1611) Isa 37:2 Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:3 ============ Isa 37:3 And they said unto him, Thus saith Hezekiah, This day is a day of trouble, and of rebuke, and of blasphemy: for the children are come to the birth, and there is not strength to bring forth.(KJV-1611) Isa 37:3 Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: -Jòdi a se yon jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lezo men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:4 ============ Isa 37:4 It may be the LORD thy God will hear the words of Rabshakeh, whom the king of Assyria his master hath sent to reproach the living God, and will reprove the words which the LORD thy God hath heard: wherefore lift up thy prayer for the remnant that is left.(KJV-1611) Isa 37:4 Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, se pou ou lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:5 ============ Isa 37:5 So the servants of king Hezekiah came to Isaiah.(KJV-1611) Isa 37:5 Moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:6 ============ Isa 37:6 And Isaiah said unto them, Thus shall ye say unto your master, Thus saith the LORD, Be not afraid of the words that thou hast heard, wherewith the servants of the king of Assyria have blasphemed me.(KJV-1611) Isa 37:6 Men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:7 ============ Isa 37:7 Behold, I will send a blast upon him, and he shall hear a rumour, and return to his own land; and I will cause him to fall by the sword in his own land.(KJV-1611) Isa 37:7 Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè touye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:8 ============ Isa 37:8 So Rabshakeh returned, and found the king of Assyria warring against Libnah: for he had heard that he was departed from Lachish.(KJV-1611) Isa 37:8 Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' te al atake lavil Libna. Se la li al jwenn wa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:9 ============ Isa 37:9 And he heard say concerning Tirhakah king of Ethiopia, He is come forth to make war with thee. And when he heard it, he sent messengers to Hezekiah, saying,(KJV-1611) Isa 37:9 Paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:10 ============ Isa 37:10 Thus shall ye speak to Hezekiah king of Judah, saying, Let not thy God, in whom thou trustest, deceive thee, saying, Jerusalem shall not be given into the hand of the king of Assyria.(KJV-1611) Isa 37:10 Li di yo: -Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans lan, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:11 ============ Isa 37:11 Behold, thou hast heard what the kings of Assyria have done to all lands by destroying them utterly; and shalt thou be delivered?(KJV-1611) Isa 37:11 Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 37:12 ============ Isa 37:12 Have the gods of the nations delivered them which my fathers have destroyed, as Gozan, and Haran, and Rezeph, and the children of Eden which were in Telassar?(KJV-1611) Isa 37:12 Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, lavil Aran, lavil Rezèf ak moun Betedenn yo ki rete lavil Tèlasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?(Creole-HT) ======= Isaiah 37:13 ============ Isa 37:13 Where is the king of Hamath, and the king of Arphad, and the king of the city of Sepharvaim, Hena, and Ivah?(KJV-1611) Isa 37:13 Kote wa lavil Amat la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena ak wa lavil Iva?(Creole-HT) ======= Isaiah 37:14 ============ Isa 37:14 And Hezekiah received the letter from the hand of the messengers, and read it: and Hezekiah went up unto the house of the LORD, and spread it before the LORD.(KJV-1611) Isa 37:14 Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:15 ============ Isa 37:15 And Hezekiah prayed unto the LORD, saying,(KJV-1611) Isa 37:15 Epi li vire bò Seyè a, li lapriyè, li di l':(Creole-HT) ======= Isaiah 37:16 ============ Isa 37:16 O LORD of hosts, God of Israel, that dwellest between the cherubims, thou art the God, even thou alone, of all the kingdoms of the earth: thou hast made heaven and earth.(KJV-1611) Isa 37:16 -Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:17 ============ Isa 37:17 Incline thine ear, O LORD, and hear; open thine eyes, O LORD, and see: and hear all the words of Sennacherib, which hath sent to reproach the living God.(KJV-1611) Isa 37:17 Panche zòrèy ou, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:18 ============ Isa 37:18 Of a truth, LORD, the kings of Assyria have laid waste all the nations, and their countries,(KJV-1611) Isa 37:18 Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:19 ============ Isa 37:19 And have cast their gods into the fire: for they were no gods, but the work of men's hands, wood and stone: therefore they have destroyed them.(KJV-1611) Isa 37:19 Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:20 ============ Isa 37:20 Now therefore, O LORD our God, save us from his hand, that all the kingdoms of the earth may know that thou art the LORD, even thou only.(KJV-1611) Isa 37:20 Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:21 ============ Isa 37:21 Then Isaiah the son of Amoz sent unto Hezekiah, saying, Thus saith the LORD God of Israel, Whereas thou hast prayed to me against Sennacherib king of Assyria:(KJV-1611) Isa 37:21 Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas. -Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:22 ============ Isa 37:22 This is the word which the LORD hath spoken concerning him; The virgin, the daughter of Zion, hath despised thee, and laughed thee to scorn; the daughter of Jerusalem hath shaken her head at thee.(KJV-1611) Isa 37:22 Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:23 ============ Isa 37:23 Whom hast thou reproached and blasphemed? and against whom hast thou exalted thy voice, and lifted up thine eyes on high? even against the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 37:23 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:24 ============ Isa 37:24 By thy servants hast thou reproached the Lord, and hast said, By the multitude of my chariots am I come up to the height of the mountains, to the sides of Lebanon; and I will cut down the tall cedars thereof, and the choice fir trees thereof: and I will enter into the height of his border, and the forest of his Carmel.(KJV-1611) Isa 37:24 Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kantite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn ata sou mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye sikren li yo, mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:25 ============ Isa 37:25 I have digged, and drunk water; and with the sole of my feet have I dried up all the rivers of the besieged places.(KJV-1611) Isa 37:25 Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:26 ============ Isa 37:26 Hast thou not heard long ago, how I have done it; and of ancient times, that I have formed it? now have I brought it to pass, that thou shouldest be to lay waste defenced cities into ruinous heaps.(KJV-1611) Isa 37:26 Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou ou te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:27 ============ Isa 37:27 Therefore their inhabitants were of small power, they were dismayed and confounded: they were as the grass of the field, and as the green herb, as the grass on the housetops, and as corn blasted before it be grown up.(KJV-1611) Isa 37:27 Moun ki te rete la yo te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:28 ============ Isa 37:28 But I know thy abode, and thy going out, and thy coming in, and thy rage against me.(KJV-1611) Isa 37:28 Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:29 ============ Isa 37:29 Because thy rage against me, and thy tumult, is come up into mine ears, therefore will I put my hook in thy nose, and my bridle in thy lips, and I will turn thee back by the way by which thou camest.(KJV-1611) Isa 37:29 Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:30 ============ Isa 37:30 And this shall be a sign unto thee, Ye shall eat this year such as groweth of itself; and the second year that which springeth of the same: and in the third year sow ye, and reap, and plant vineyards, and eat the fruit thereof.(KJV-1611) Isa 37:30 Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:31 ============ Isa 37:31 And the remnant that is escaped of the house of Judah shall again take root downward, and bear fruit upward:(KJV-1611) Isa 37:31 Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:32 ============ Isa 37:32 For out of Jerusalem shall go forth a remnant, and they that escape out of mount Zion: the zeal of the LORD of hosts shall do this.(KJV-1611) Isa 37:32 Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:33 ============ Isa 37:33 Therefore thus saith the LORD concerning the king of Assyria, He shall not come into this city, nor shoot an arrow there, nor come before it with shields, nor cast a bank against it.(KJV-1611) Isa 37:33 Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:34 ============ Isa 37:34 By the way that he came, by the same shall he return, and shall not come into this city, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 37:34 Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:35 ============ Isa 37:35 For I will defend this city to save it for mine own sake, and for my servant David's sake.(KJV-1611) Isa 37:35 M'ap pwoteje lavil sa a, m'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:36 ============ Isa 37:36 Then the angel of the LORD went forth, and smote in the camp of the Assyrians a hundred and fourscore and five thousand: and when they arose early in the morning, behold, they were all dead corpses.(KJV-1611) Isa 37:36 Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:37 ============ Isa 37:37 So Sennacherib king of Assyria departed, and went and returned, and dwelt at Nineveh.(KJV-1611) Isa 37:37 Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv.(Creole-HT) ======= Isaiah 37:38 ============ Isa 37:38 And it came to pass, as he was worshipping in the house of Nisroch his god, that Adrammelech and Sharezer his sons smote him with the sword; and they escaped into the land of Armenia: and Esarhaddon his son reigned in his stead.(KJV-1611) Isa 37:38 Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason l' yo ki te rele Asaradon, ki te vin moute wa nan plas li.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:1 ============ Isa 38:1 In those days was Hezekiah sick unto death. And Isaiah the prophet the son of Amoz came unto him, and said unto him, Thus saith the LORD, Set thine house in order: for thou shalt die, and not live.(KJV-1611) Isa 38:1 Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:2 ============ Isa 38:2 Then Hezekiah turned his face toward the wall, and prayed unto the LORD,(KJV-1611) Isa 38:2 Ezekyas vire figi li bay panno a fas, li lapriyè Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:3 ============ Isa 38:3 And said, Remember now, O LORD, I beseech thee, how I have walked before thee in truth and with a perfect heart, and have done that which is good in thy sight. And Hezekiah wept sore.(KJV-1611) Isa 38:3 Li di: -Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:4 ============ Isa 38:4 Then came the word of the LORD to Isaiah, saying,(KJV-1611) Isa 38:4 Lè sa a, Seyè a pale ak Ezayi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Isaiah 38:5 ============ Isa 38:5 Go, and say to Hezekiah, Thus saith the LORD, the God of David thy father, I have heard thy prayer, I have seen thy tears: behold, I will add unto thy days fifteen years.(KJV-1611) Isa 38:5 -Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:6 ============ Isa 38:6 And I will deliver thee and this city out of the hand of the king of Assyria: and I will defend this city.(KJV-1611) Isa 38:6 M'ap delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pran defans lavil la.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:7 ============ Isa 38:7 And this shall be a sign unto thee from the LORD, that the LORD will do this thing that he hath spoken;(KJV-1611) Isa 38:7 Ezayi reponn li: -Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:8 ============ Isa 38:8 Behold, I will bring again the shadow of the degrees, which is gone down in the sun dial of Ahaz, ten degrees backward. So the sun returned ten degrees, by which degrees it was gone down.(KJV-1611) Isa 38:8 Gade kadran solèy wa Akaz te fè a. Seyè a pral fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak. Epi vre, lonbraj la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:9 ============ Isa 38:9 The writing of Hezekiah king of Judah, when he had been sick, and was recovered of his sickness:(KJV-1611) Isa 38:9 Men kantik Ezekyas, wa a, te chante lè li refè apre maladi li a:(Creole-HT) ======= Isaiah 38:10 ============ Isa 38:10 I said in the cutting off of my days, I shall go to the gates of the grave: I am deprived of the residue of my years.(KJV-1611) Isa 38:10 Mwen t'ap di nan kè m' se mwatye nan lavi m' ase mwen viv. Gade mwen gen tan pral mouri. Mwen rive nan pòt pou m' antre kote mò yo ye a. M'ap mouri anvan lè m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:11 ============ Isa 38:11 I said, I shall not see the LORD, even the LORD, in the land of the living: I shall behold man no more with the inhabitants of the world.(KJV-1611) Isa 38:11 Mwen te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò pou m' te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m' te wè pesonn ankò nan moun k'ap viv sou latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:12 ============ Isa 38:12 Mine age is departed, and is removed from me as a shepherd's tent: I have cut off like a weaver my life: he will cut me off with pining sickness: from day even to night wilt thou make an end of me.(KJV-1611) Isa 38:12 Tankou yon ti kay jaden, yo rache m', yo demoli m' pote m' ale. Yo koupe lavi m' tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m'ap deperi.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:13 ============ Isa 38:13 I reckoned till morning, that, as a lion, so will he break all my bones: from day even to night wilt thou make an end of me.(KJV-1611) Isa 38:13 Tout lannwit m'ap rele anba doulè. Tankou yon lyon, Bondye t'ap kraze tout zo nan kò m'. Soti nan maten rive nan aswè, m'ap deperi.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:14 ============ Isa 38:14 Like a crane or a swallow, so did I chatter: I did mourn as a dove: mine eyes fail with looking upward: O LORD, I am oppressed; undertake for me.(KJV-1611) Isa 38:14 M'ap plenn tou piti tankou ranmye. M'ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m' bouke tank m'ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non!(Creole-HT) ======= Isaiah 38:15 ============ Isa 38:15 What shall I say? he hath both spoken unto me, and himself hath done it: I shall go softly all my years in the bitterness of my soul.(KJV-1611) Isa 38:15 Kijan pou m' pale avè l'? Sa pou m' di l'? Se Seyè a k'ap fè travay li. Malgre tout lapenn sa a ki nan kè m' lan, m'a debat ak lavi a jouk mwen mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:16 ============ Isa 38:16 O LORD, by these things men live, and in all these things is the life of my spirit: so wilt thou recover me, and make me to live.(KJV-1611) Isa 38:16 Seyè! nan bon kè ou, ou fè m' jwi lavi. Souf lavi a nan mwen toujou. W'ap geri m', w'ap ban m' lavi.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:17 ============ Isa 38:17 Behold, for peace I had great bitterness: but thou hast in love to my soul delivered it from the pit of corruption: for thou hast cast all my sins behind thy back.(KJV-1611) Isa 38:17 Ou wete m' nan kè sere m' te ye a. Se ou menm ki wete m' nan bouch twou a. Ou voye tout peche m' yo jete dèyè do ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:18 ============ Isa 38:18 For the grave cannot praise thee, death can not celebrate thee: they that go down into the pit cannot hope for thy truth.(KJV-1611) Isa 38:18 Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:19 ============ Isa 38:19 The living, the living, he shall praise thee, as I do this day: the father to the children shall make known thy truth.(KJV-1611) Isa 38:19 Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!(Creole-HT) ======= Isaiah 38:20 ============ Isa 38:20 The LORD was ready to save me: therefore we will sing my songs to the stringed instruments all the days of our life in the house of the LORD.(KJV-1611) Isa 38:20 Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:21 ============ Isa 38:21 For Isaiah had said, Let them take a lump of figs, and lay it for a plaister upon the boil, and he shall recover.(KJV-1611) Isa 38:21 Ezayi mande pou yo fè yon kataplas ak fig frans mete sou kote wa a malad la, pou li ka geri.(Creole-HT) ======= Isaiah 38:22 ============ Isa 38:22 Hezekiah also had said, What is the sign that I shall go up to the house of the LORD?(KJV-1611) Isa 38:22 Lè sa a, wa Ezekyas mande: -Kisa k'ap fè m' konnen m'a ka al nan tanp lan ankò?(Creole-HT) ======= Isaiah 39:1 ============ Isa 39:1 At that time Merodachbaladan, the son of Baladan, king of Babylon, sent letters and a present to Hezekiah: for he had heard that he had been sick, and was recovered.(KJV-1611) Isa 39:1 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:2 ============ Isa 39:2 And Hezekiah was glad of them, and shewed them the house of his precious things, the silver, and the gold, and the spices, and the precious ointment, and all the house of his armour, and all that was found in his treasures: there was nothing in his house, nor in all his dominion, that Hezekiah shewed them not.(KJV-1611) Isa 39:2 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:3 ============ Isa 39:3 Then came Isaiah the prophet unto king Hezekiah, and said unto him, What said these men? and from whence came they unto thee? And Hezekiah said, They are come from a far country unto me, even from Babylon.(KJV-1611) Isa 39:3 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:4 ============ Isa 39:4 Then said he, What have they seen in thine house? And Hezekiah answered, All that is in mine house have they seen: there is nothing among my treasures that I have not shewed them.(KJV-1611) Isa 39:4 Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:5 ============ Isa 39:5 Then said Isaiah to Hezekiah, Hear the word of the LORD of hosts:(KJV-1611) Isa 39:5 Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou:(Creole-HT) ======= Isaiah 39:6 ============ Isa 39:6 Behold, the days come, that all that is in thine house, and that which thy fathers have laid up in store until this day, shall be carried to Babylon: nothing shall be left, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 39:6 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:7 ============ Isa 39:7 And of thy sons that shall issue from thee, which thou shalt beget, shall they take away; and they shall be eunuchs in the palace of the king of Babylon.(KJV-1611) Isa 39:7 Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 39:8 ============ Isa 39:8 Then said Hezekiah to Isaiah, Good is the word of the LORD which thou hast spoken. He said moreover, For there shall be peace and truth in my days.(KJV-1611) Isa 39:8 Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: -Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:1 ============ Isa 40:1 Comfort ye, comfort ye my people, saith your God.(KJV-1611) Isa 40:1 Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:2 ============ Isa 40:2 Speak ye comfortably to Jerusalem, and cry unto her, that her warfare is accomplished, that her iniquity is pardoned: for she hath received of the LORD's hand double for all her sins.(KJV-1611) Isa 40:2 Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:3 ============ Isa 40:3 The voice of him that crieth in the wilderness, Prepare ye the way of the LORD, make straight in the desert a highway for our God.(KJV-1611) Isa 40:3 Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:4 ============ Isa 40:4 Every valley shall be exalted, and every mountain and hill shall be made low: and the crooked shall be made straight, and the rough places plain:(KJV-1611) Isa 40:4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:5 ============ Isa 40:5 And the glory of the LORD shall be revealed, and all flesh shall see it together: for the mouth of the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Isa 40:5 Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:6 ============ Isa 40:6 The voice said, Cry. And he said, What shall I cry? All flesh is grass, and all the goodliness thereof is as the flower of the field:(KJV-1611) Isa 40:6 Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:7 ============ Isa 40:7 The grass withereth, the flower fadeth: because the spirit of the LORD bloweth upon it: surely the people is grass.(KJV-1611) Isa 40:7 Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:8 ============ Isa 40:8 The grass withereth, the flower fadeth: but the word of our God shall stand for ever.(KJV-1611) Isa 40:8 Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:9 ============ Isa 40:9 O Zion, that bringest good tidings, get thee up into the high mountain; O Jerusalem, that bringest good tidings, lift up thy voice with strength; lift it up, be not afraid; say unto the cities of Judah, Behold your God!(KJV-1611) Isa 40:9 Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:10 ============ Isa 40:10 Behold, the Lord GOD will come with strong hand, and his arm shall rule for him: behold, his reward is with him, and his work before him.(KJV-1611) Isa 40:10 Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:11 ============ Isa 40:11 He shall feed his flock like a shepherd: he shall gather the lambs with his arm, and carry them in his bosom, and shall gently lead those that are with young.(KJV-1611) Isa 40:11 Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:12 ============ Isa 40:12 Who hath measured the waters in the hollow of his hand, and meted out heaven with the span, and comprehended the dust of the earth in a measure, and weighed the mountains in scales, and the hills in a balance?(KJV-1611) Isa 40:12 Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?(Creole-HT) ======= Isaiah 40:13 ============ Isa 40:13 Who hath directed the Spirit of the LORD, or being his counsellor hath taught him?(KJV-1611) Isa 40:13 Ki moun ki ka di Seyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy?(Creole-HT) ======= Isaiah 40:14 ============ Isa 40:14 With whom took he counsel, and who instructed him, and taught him in the path of judgment, and taught him knowledge, and shewed to him the way of understanding?(KJV-1611) Isa 40:14 Ki moun Seyè a te al jwenn pou l' te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre l' jan pou l' mache dwat? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè l' konnen jan tout bagay fèt?(Creole-HT) ======= Isaiah 40:15 ============ Isa 40:15 Behold, the nations are as a drop of a bucket, and are counted as the small dust of the balance: behold, he taketh up the isles as a very little thing.(KJV-1611) Isa 40:15 Gade! Devan Seyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo tankou pousyè van ap pote ale!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:16 ============ Isa 40:16 And Lebanon is not sufficient to burn, nor the beasts thereof sufficient for a burnt offering.(KJV-1611) Isa 40:16 Tout rakbwa peyi Liban yo pa kont pou boule sou lotèl li. Tout bèt ki nan rakbwa peyi Liban yo pa kont ase pou yo fè ofrann bèt pou yo boule pou li yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:17 ============ Isa 40:17 All nations before him are as nothing; and they are counted to him less than nothing, and vanity.(KJV-1611) Isa 40:17 Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:18 ============ Isa 40:18 To whom then will ye liken God? or what likeness will ye compare unto him?(KJV-1611) Isa 40:18 Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l'?(Creole-HT) ======= Isaiah 40:19 ============ Isa 40:19 The workman melteth a graven image, and the goldsmith spreadeth it over with gold, and casteth silver chains.(KJV-1611) Isa 40:19 Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:20 ============ Isa 40:20 He that is so impoverished that he hath no oblation chooseth a tree that will not rot; he seeketh unto him a cunning workman to prepare a graven image, that shall not be moved.(KJV-1611) Isa 40:20 Sa ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa. Li chwazi yon bon bwa ki p'ap pouri. Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li, pou fè yon estati ki p'ap tonbe kraze.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:21 ============ Isa 40:21 Have ye not known? have ye not heard? hath it not been told you from the beginning? have ye not understood from the foundations of the earth?(KJV-1611) Isa 40:21 Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè?(Creole-HT) ======= Isaiah 40:22 ============ Isa 40:22 It is he that sitteth upon the circle of the earth, and the inhabitants thereof are as grasshoppers; that stretcheth out the heavens as a curtain, and spreadeth them out as a tent to dwell in:(KJV-1611) Isa 40:22 Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:23 ============ Isa 40:23 That bringeth the princes to nothing; he maketh the judges of the earth as vanity.(KJV-1611) Isa 40:23 Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:24 ============ Isa 40:24 Yea, they shall not be planted; yea, they shall not be sown: yea, their stock shall not take root in the earth: and he shall also blow upon them, and they shall wither, and the whirlwind shall take them away as stubble.(KJV-1611) Isa 40:24 Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:25 ============ Isa 40:25 To whom then will ye liken me, or shall I be equal? saith the Holy One.(KJV-1611) Isa 40:25 Ki moun nou ka di ki tankou m'? Ki moun ki pou ta sanble avè m'? Se Bondye apa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:26 ============ Isa 40:26 Lift up your eyes on high, and behold who hath created these things, that bringeth out their host by number: he calleth them all by names by the greatness of his might, for that he is strong in power; not one faileth.(KJV-1611) Isa 40:26 Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:27 ============ Isa 40:27 Why sayest thou, O Jacob, and speakest, O Israel, My way is hid from the LORD, and my judgment is passed over from my God?(KJV-1611) Isa 40:27 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Seyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:28 ============ Isa 40:28 Hast thou not known? hast thou not heard, that the everlasting God, the LORD, the Creator of the ends of the earth, fainteth not, neither is weary? there is no searching of his understanding.(KJV-1611) Isa 40:28 Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:29 ============ Isa 40:29 He giveth power to the faint; and to them that have no might he increaseth strength.(KJV-1611) Isa 40:29 Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l' kouraj ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 40:30 ============ Isa 40:30 Even the youths shall faint and be weary, and the young men shall utterly fall:(KJV-1611) Isa 40:30 Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.(Creole-HT) ======= Isaiah 40:31 ============ Isa 40:31 But they that wait upon the LORD shall renew their strength; they shall mount up with wings as eagles; they shall run, and not be weary; and they shall walk, and not faint.(KJV-1611) Isa 40:31 Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:1 ============ Isa 41:1 Keep silence before me, O islands; and let the people renew their strength: let them come near; then let them speak: let us come near together to judgment.(KJV-1611) Isa 41:1 Nou menm moun zile yo, pe bouch nou! Koute sa m'ap di nou! Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou! Annou plede pou n' wè kilès ki gen rezon!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:2 ============ Isa 41:2 Who raised up the righteous man from the east, called him to his foot, gave the nations before him, and made him rule over kings? he gave them as the dust to his sword, and as driven stubble to his bow.(KJV-1611) Isa 41:2 Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:3 ============ Isa 41:3 He pursued them, and passed safely; even by the way that he had not gone with his feet.(KJV-1611) Isa 41:3 L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen. Pye l' pa menm touche tè.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:4 ============ Isa 41:4 Who hath wrought and done it, calling the generations from the beginning? I the LORD, the first, and with the last; I am he.(KJV-1611) Isa 41:4 Se travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive? Ki moun ki depi nan kòmansman ap rele lèzòm, pitit an pitit, pou yo fè travay li sou latè? Se mwen menm, Seyè a, ki la anvan yo tout. Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:5 ============ Isa 41:5 The isles saw it, and feared; the ends of the earth were afraid, drew near, and came.(KJV-1611) Isa 41:5 Moun zile yo wè sa, yo pè. Moun nan dènye bout latè pran tranble, yo pwoche, yo vini.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:6 ============ Isa 41:6 They helped every one his neighbour; and every one said to his brother, Be of good courage.(KJV-1611) Isa 41:6 Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouraj!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:7 ============ Isa 41:7 So the carpenter encouraged the goldsmith, and he that smootheth with the hammer him that smote the anvil, saying, It is ready for the sodering: and he fastened it with nails, that it should not be moved.(KJV-1611) Isa 41:7 Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:8 ============ Isa 41:8 But thou, Israel, art my servant, Jacob whom I have chosen, the seed of Abraham my friend.(KJV-1611) Isa 41:8 Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:9 ============ Isa 41:9 Thou whom I have taken from the ends of the earth, and called thee from the chief men thereof, and said unto thee, Thou art my servant; I have chosen thee, and not cast thee away.(KJV-1611) Isa 41:9 Mwen pran nou nan dènye bout latè, mwen rele nou soti byen lwen. Mwen di nou: Se sèvitè m' nou ye! Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:10 ============ Isa 41:10 Fear thou not; for I am with thee: be not dismayed; for I am thy God: I will strengthen thee; yea, I will help thee; yea, I will uphold thee with the right hand of my righteousness.(KJV-1611) Isa 41:10 Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:11 ============ Isa 41:11 Behold, all they that were incensed against thee shall be ashamed and confounded: they shall be as nothing; and they that strive with thee shall perish.(KJV-1611) Isa 41:11 Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:12 ============ Isa 41:12 Thou shalt seek them, and shalt not find them, even them that contended with thee: they that war against thee shall be as nothing, and as a thing of nought.(KJV-1611) Isa 41:12 Moun ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo. Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:13 ============ Isa 41:13 For I the LORD thy God will hold thy right hand, saying unto thee, Fear not; I will help thee.(KJV-1611) Isa 41:13 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:14 ============ Isa 41:14 Fear not, thou worm Jacob, and ye men of Israel; I will help thee, saith the LORD, and thy redeemer, the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 41:14 Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:15 ============ Isa 41:15 Behold, I will make thee a new sharp threshing instrument having teeth: thou shalt thresh the mountains, and beat them small, and shalt make the hills as chaff.(KJV-1611) Isa 41:15 M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:16 ============ Isa 41:16 Thou shalt fan them, and the wind shall carry them away, and the whirlwind shall scatter them: and thou shalt rejoice in the LORD, and shalt glory in the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 41:16 Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:17 ============ Isa 41:17 When the poor and needy seek water, and there is none, and their tongue faileth for thirst, I the LORD will hear them, I the God of Israel will not forsake them.(KJV-1611) Isa 41:17 Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:18 ============ Isa 41:18 I will open rivers in high places, and fountains in the midst of the valleys: I will make the wilderness a pool of water, and the dry land springs of water.(KJV-1611) Isa 41:18 M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk kote ki pa t' gen menm yon ti pyebwa. M'a fè sous dlo pete nan fon yo. M'ap fè dezè a tounen lagon dlo. Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:19 ============ Isa 41:19 I will plant in the wilderness the cedar, the shittah tree, and the myrtle, and the oil tree; I will set in the desert the fir tree, and the pine, and the box tree together:(KJV-1611) Isa 41:19 M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:20 ============ Isa 41:20 That they may see, and know, and consider, and understand together, that the hand of the LORD hath done this, and the Holy One of Israel hath created it.(KJV-1611) Isa 41:20 Lè moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann se Seyè a ki fè bagay sa yo ak men l', se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:21 ============ Isa 41:21 Produce your cause, saith the LORD; bring forth your strong reasons, saith the King of Jacob.(KJV-1611) Isa 41:21 Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:22 ============ Isa 41:22 Let them bring them forth, and shew us what shall happen: let them shew the former things, what they be, that we may consider them, and know the latter end of them; or declare us things for to come.(KJV-1611) Isa 41:22 Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:23 ============ Isa 41:23 Shew the things that are to come hereafter, that we may know that ye are gods: yea, do good, or do evil, that we may be dismayed, and behold it together.(KJV-1611) Isa 41:23 Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:24 ============ Isa 41:24 Behold, ye are of nothing, and your work of nought: an abomination is he that chooseth you.(KJV-1611) Isa 41:24 Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 41:25 ============ Isa 41:25 I have raised up one from the north, and he shall come: from the rising of the sun shall he call upon my name: and he shall come upon princes as upon morter, and as the potter treadeth clay.(KJV-1611) Isa 41:25 Se mwen menm ki chwazi yon nonm soti bò solèy leve. Se mwen menm ki fè l' desann soti nan nò vin atake. Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l', menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l' travay.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:26 ============ Isa 41:26 Who hath declared from the beginning, that we may know? and beforetime, that we may say, He is righteous? yea, there is none that sheweth, yea, there is none that declareth, yea, there is none that heareth your words.(KJV-1611) Isa 41:26 Anvan sa te rive, kilès nan nou ki te di sa pou n' te ka konnen? Ki moun ki te di davans sa tapral rive konsa, pou n' te ka di se vre? Non. Pesonn pa t' di anyen sou sa. Pyès moun pa janm tande nou di yon mo sou sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:27 ============ Isa 41:27 The first shall say to Zion, Behold, behold them: and I will give to Jerusalem one that bringeth good tidings.(KJV-1611) Isa 41:27 Se mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvèl men l'ap vini! Se mwen menm ki voye yon moun al pote bon nouvèl la bay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:28 ============ Isa 41:28 For I beheld, and there was no man; even among them, and there was no counsellor, that, when I asked of them, could answer a word.(KJV-1611) Isa 41:28 Lè mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 41:29 ============ Isa 41:29 Behold, they are all vanity; their works are nothing: their molten images are wind and confusion.(KJV-1611) Isa 41:29 Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:1 ============ Isa 42:1 Behold my servant, whom I uphold; mine elect, in whom my soul delighteth; I have put my spirit upon him: he shall bring forth judgment to the Gentiles.(KJV-1611) Isa 42:1 Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:2 ============ Isa 42:2 He shall not cry, nor lift up, nor cause his voice to be heard in the street.(KJV-1611) Isa 42:2 Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:3 ============ Isa 42:3 A bruised reed shall he not break, and the smoking flax shall he not quench: he shall bring forth judgment unto truth.(KJV-1611) Isa 42:3 Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:4 ============ Isa 42:4 He shall not fail nor be discouraged, till he have set judgment in the earth: and the isles shall wait for his law.(KJV-1611) Isa 42:4 Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:5 ============ Isa 42:5 Thus saith God the LORD, he that created the heavens, and stretched them out; he that spread forth the earth, and that which cometh out of it; he that giveth breath unto the people upon it, and spirit to them that walk therein:(KJV-1611) Isa 42:5 Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:(Creole-HT) ======= Isaiah 42:6 ============ Isa 42:6 I the LORD have called thee in righteousness, and will hold thine hand, and will keep thee, and give thee for a covenant of the people, for a light of the Gentiles;(KJV-1611) Isa 42:6 Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:7 ============ Isa 42:7 To open the blind eyes, to bring out the prisoners from the prison, and them that sit in darkness out of the prison house.(KJV-1611) Isa 42:7 W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:8 ============ Isa 42:8 I am the LORD: that is my name: and my glory will I not give to another, neither my praise to graven images.(KJV-1611) Isa 42:8 Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:9 ============ Isa 42:9 Behold, the former things are come to pass, and new things do I declare: before they spring forth I tell you of them.(KJV-1611) Isa 42:9 Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:10 ============ Isa 42:10 Sing unto the LORD a new song, and his praise from the end of the earth, ye that go down to the sea, and all that is therein; the isles, and the inhabitants thereof.(KJV-1611) Isa 42:10 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:11 ============ Isa 42:11 Let the wilderness and the cities thereof lift up their voice, the villages that Kedar doth inhabit: let the inhabitants of the rock sing, let them shout from the top of the mountains.(KJV-1611) Isa 42:11 Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!(Creole-HT) ======= Isaiah 42:12 ============ Isa 42:12 Let them give glory unto the LORD, and declare his praise in the islands.(KJV-1611) Isa 42:12 Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:13 ============ Isa 42:13 The LORD shall go forth as a mighty man, he shall stir up jealousy like a man of war: he shall cry, yea, roar; he shall prevail against his enemies.(KJV-1611) Isa 42:13 Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:14 ============ Isa 42:14 I have long time holden my peace; I have been still, and refrained myself: now will I cry like a travailing woman; I will destroy and devour at once.(KJV-1611) Isa 42:14 Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:15 ============ Isa 42:15 I will make waste mountains and hills, and dry up all their herbs; and I will make the rivers islands, and I will dry up the pools.(KJV-1611) Isa 42:15 Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:16 ============ Isa 42:16 And I will bring the blind by a way that they knew not; I will lead them in paths that they have not known: I will make darkness light before them, and crooked things straight. These things will I do unto them, and not forsake them.(KJV-1611) Isa 42:16 M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:17 ============ Isa 42:17 They shall be turned back, they shall be greatly ashamed, that trust in graven images, that say to the molten images, Ye are our gods.(KJV-1611) Isa 42:17 Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:18 ============ Isa 42:18 Hear, ye deaf; and look, ye blind, that ye may see.(KJV-1611) Isa 42:18 Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!(Creole-HT) ======= Isaiah 42:19 ============ Isa 42:19 Who is blind, but my servant? or deaf, as my messenger that I sent? who is blind as he that is perfect, and blind as the LORD's servant?(KJV-1611) Isa 42:19 Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m' lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a?(Creole-HT) ======= Isaiah 42:20 ============ Isa 42:20 Seeing many things, but thou observest not; opening the ears, but he heareth not.(KJV-1611) Isa 42:20 Nou menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay. Men, sa pa t' di nou anyen! Nou gen zòrèy pou nou tande, men nou pa t' tande anyen(Creole-HT) ======= Isaiah 42:21 ============ Isa 42:21 The LORD is well pleased for his righteousness' sake; he will magnify the law, and make it honourable.(KJV-1611) Isa 42:21 Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:22 ============ Isa 42:22 But this is a people robbed and spoiled; they are all of them snared in holes, and they are hid in prison houses: they are for a prey, and none delivereth; for a spoil, and none saith, Restore.(KJV-1611) Isa 42:22 Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 42:23 ============ Isa 42:23 Who among you will give ear to this? who will hearken and hear for the time to come?(KJV-1611) Isa 42:23 Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l' tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l' toujou koute depi koulye a?(Creole-HT) ======= Isaiah 42:24 ============ Isa 42:24 Who gave Jacob for a spoil, and Israel to the robbers? did not the LORD, he against whom we have sinned? for they would not walk in his ways, neither were they obedient unto his law.(KJV-1611) Isa 42:24 Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.(Creole-HT) ======= Isaiah 42:25 ============ Isa 42:25 Therefore he hath poured upon him the fury of his anger, and the strength of battle: and it hath set him on fire round about, yet he knew not; and it burned him, yet he laid it not to heart.(KJV-1611) Isa 42:25 Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!(Creole-HT) ======= Isaiah 43:1 ============ Isa 43:1 But now thus saith the LORD that created thee, O Jacob, and he that formed thee, O Israel, Fear not: for I have redeemed thee, I have called thee by thy name; thou art mine.(KJV-1611) Isa 43:1 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Seyè a ap di nou koulye a, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l': -Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:2 ============ Isa 43:2 When thou passest through the waters, I will be with thee; and through the rivers, they shall not overflow thee: when thou walkest through the fire, thou shalt not be burned; neither shall the flame kindle upon thee.(KJV-1611) Isa 43:2 Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:3 ============ Isa 43:3 For I am the LORD thy God, the Holy One of Israel, thy Saviour: I gave Egypt for thy ransom, Ethiopia and Seba for thee.(KJV-1611) Isa 43:3 Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:4 ============ Isa 43:4 Since thou wast precious in my sight, thou hast been honourable, and I have loved thee: therefore will I give men for thee, and people for thy life.(KJV-1611) Isa 43:4 M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:5 ============ Isa 43:5 Fear not: for I am with thee: I will bring thy seed from the east, and gather thee from the west;(KJV-1611) Isa 43:5 Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:6 ============ Isa 43:6 I will say to the north, Give up; and to the south, Keep not back: bring my sons from far, and my daughters from the ends of the earth;(KJV-1611) Isa 43:6 M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale! M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen! Kite pitit gason m' yo tounen soti byen lwen. Kite pitit fi m' yo tounen soti toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:7 ============ Isa 43:7 Even every one that is called by my name: for I have created him for my glory, I have formed him; yea, I have made him.(KJV-1611) Isa 43:7 Se pèp mwen yo ye. Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen. Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo soti.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:8 ============ Isa 43:8 Bring forth the blind people that have eyes, and the deaf that have ears.(KJV-1611) Isa 43:8 Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:9 ============ Isa 43:9 Let all the nations be gathered together, and let the people be assembled: who among them can declare this, and shew us former things? let them bring forth their witnesses, that they may be justified: or let them hear, and say, It is truth.(KJV-1611) Isa 43:9 Rele tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm. Fè yo sanble nan tribinal la. Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive koulye a? Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo. Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon!(Creole-HT) ======= Isaiah 43:10 ============ Isa 43:10 Ye are my witnesses, saith the LORD, and my servant whom I have chosen: that ye may know and believe me, and understand that I am he: before me there was no God formed, neither shall there be after me.(KJV-1611) Isa 43:10 Men pawòl Seyè a di: -Se nou menm menm ki pou sèvi m' temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m', pou nou konnen m', pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pa t' gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:11 ============ Isa 43:11 I, even I, am the LORD; and beside me there is no saviour.(KJV-1611) Isa 43:11 Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!(Creole-HT) ======= Isaiah 43:12 ============ Isa 43:12 I have declared, and have saved, and I have shewed, when there was no strange god among you: therefore ye are my witnesses, saith the LORD, that I am God.(KJV-1611) Isa 43:12 Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:13 ============ Isa 43:13 Yea, before the day was I am he; and there is none that can deliver out of my hand: I will work, and who shall let it?(KJV-1611) Isa 43:13 M' pa janm chanje. Pesonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?(Creole-HT) ======= Isaiah 43:14 ============ Isa 43:14 Thus saith the LORD, your redeemer, the Holy One of Israel; For your sake I have sent to Babylon, and have brought down all their nobles, and the Chaldeans, whose cry is in the ships.(KJV-1611) Isa 43:14 Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:15 ============ Isa 43:15 I am the LORD, your Holy One, the creator of Israel, your King.(KJV-1611) Isa 43:15 Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 43:16 ============ Isa 43:16 Thus saith the LORD, which maketh a way in the sea, and a path in the mighty waters;(KJV-1611) Isa 43:16 Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:17 ============ Isa 43:17 Which bringeth forth the chariot and horse, the army and the power; they shall lie down together, they shall not rise: they are extinct, they are quenched as tow.(KJV-1611) Isa 43:17 Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:18 ============ Isa 43:18 Remember ye not the former things, neither consider the things of old.(KJV-1611) Isa 43:18 Men sa Seyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!(Creole-HT) ======= Isaiah 43:19 ============ Isa 43:19 Behold, I will do a new thing; now it shall spring forth; shall ye not know it? I will even make a way in the wilderness, and rivers in the desert.(KJV-1611) Isa 43:19 Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:20 ============ Isa 43:20 The beast of the field shall honour me, the dragons and the owls: because I give waters in the wilderness, and rivers in the desert, to give drink to my people, my chosen.(KJV-1611) Isa 43:20 Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak otrich pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele m' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:21 ============ Isa 43:21 This people have I formed for myself; they shall shew forth my praise.(KJV-1611) Isa 43:21 Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:22 ============ Isa 43:22 But thou hast not called upon me, O Jacob; but thou hast been weary of me, O Israel.(KJV-1611) Isa 43:22 Seyè a di: -Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:23 ============ Isa 43:23 Thou hast not brought me the small cattle of thy burnt offerings; neither hast thou honoured me with thy sacrifices. I have not caused thee to serve with an offering, nor wearied thee with incense.(KJV-1611) Isa 43:23 Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:24 ============ Isa 43:24 Thou hast bought me no sweet cane with money, neither hast thou filled me with the fat of thy sacrifices: but thou hast made me to serve with thy sins, thou hast wearied me with thine iniquities.(KJV-1611) Isa 43:24 Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:25 ============ Isa 43:25 I, even I, am he that blotteth out thy transgressions for mine own sake, and will not remember thy sins.(KJV-1611) Isa 43:25 Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:26 ============ Isa 43:26 Put me in remembrance: let us plead together: declare thou, that thou mayest be justified.(KJV-1611) Isa 43:26 Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:27 ============ Isa 43:27 Thy first father hath sinned, and thy teachers have transgressed against me.(KJV-1611) Isa 43:27 Premye zansèt nou an te fè sa li pa t' dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 43:28 ============ Isa 43:28 Therefore I have profaned the princes of the sanctuary, and have given Jacob to the curse, and Israel to reproaches.(KJV-1611) Isa 43:28 Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:1 ============ Isa 44:1 Yet now hear, O Jacob my servant; and Israel, whom I have chosen:(KJV-1611) Isa 44:1 Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:2 ============ Isa 44:2 Thus saith the LORD that made thee, and formed thee from the womb, which will help thee; Fear not, O Jacob, my servant; and thou, Jesurun, whom I have chosen.(KJV-1611) Isa 44:2 Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:3 ============ Isa 44:3 For I will pour water upon him that is thirsty, and floods upon the dry ground: I will pour my spirit upon thy seed, and my blessing upon thine offspring:(KJV-1611) Isa 44:3 M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:4 ============ Isa 44:4 And they shall spring up as among the grass, as willows by the water courses.(KJV-1611) Isa 44:4 Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:5 ============ Isa 44:5 One shall say, I am the LORD's; and another shall call himself by the name of Jacob; and another shall subscribe with his hand unto the LORD, and surname himself by the name of Israel.(KJV-1611) Isa 44:5 Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:6 ============ Isa 44:6 Thus saith the LORD the King of Israel, and his redeemer the LORD of hosts; I am the first, and I am the last; and beside me there is no God.(KJV-1611) Isa 44:6 Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:7 ============ Isa 44:7 And who, as I, shall call, and shall declare it, and set it in order for me, since I appointed the ancient people? and the things that are coming, and shall come, let them shew unto them.(KJV-1611) Isa 44:7 Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:8 ============ Isa 44:8 Fear ye not, neither be afraid: have not I told thee from that time, and have declared it? ye are even my witnesses. Is there a God beside me? yea, there is no God; I know not any.(KJV-1611) Isa 44:8 Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:9 ============ Isa 44:9 They that make a graven image are all of them vanity; and their delectable things shall not profit; and they are their own witnesses; they see not, nor know; that they may be ashamed.(KJV-1611) Isa 44:9 Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:10 ============ Isa 44:10 Who hath formed a god, or molten a graven image that is profitable for nothing?(KJV-1611) Isa 44:10 Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'?(Creole-HT) ======= Isaiah 44:11 ============ Isa 44:11 Behold, all his fellows shall be ashamed: and the workmen, they are of men: let them all be gathered together, let them stand up; yet they shall fear, and they shall be ashamed together.(KJV-1611) Isa 44:11 Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!(Creole-HT) ======= Isaiah 44:12 ============ Isa 44:12 The smith with the tongs both worketh in the coals, and fashioneth it with hammers, and worketh it with the strength of his arms: yea, he is hungry, and his strength faileth: he drinketh no water, and is faint.(KJV-1611) Isa 44:12 Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:13 ============ Isa 44:13 The carpenter stretcheth out his rule; he marketh it out with a line; he fitteth it with planes, and he marketh it out with the compass, and maketh it after the figure of a man, according to the beauty of a man; that it may remain in the house.(KJV-1611) Isa 44:13 Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:14 ============ Isa 44:14 He heweth him down cedars, and taketh the cypress and the oak, which he strengtheneth for himself among the trees of the forest: he planteth an ash, and the rain doth nourish it.(KJV-1611) Isa 44:14 Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:15 ============ Isa 44:15 Then shall it be for a man to burn: for he will take thereof, and warm himself; yea, he kindleth it, and baketh bread; yea, he maketh a god, and worshippeth it; he maketh it a graven image, and falleth down thereto.(KJV-1611) Isa 44:15 Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:16 ============ Isa 44:16 He burneth part thereof in the fire; with part thereof he eateth flesh; he roasteth roast, and is satisfied: yea, he warmeth himself, and saith, Aha, I am warm, I have seen the fire:(KJV-1611) Isa 44:16 Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife!(Creole-HT) ======= Isaiah 44:17 ============ Isa 44:17 And the residue thereof he maketh a god, even his graven image: he falleth down unto it, and worshippeth it, and prayeth unto it, and saith, Deliver me; for thou art my god.(KJV-1611) Isa 44:17 Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!(Creole-HT) ======= Isaiah 44:18 ============ Isa 44:18 They have not known nor understood: for he hath shut their eyes, that they cannot see; and their hearts, that they cannot understand.(KJV-1611) Isa 44:18 Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:19 ============ Isa 44:19 And none considereth in his heart, neither is there knowledge nor understanding to say, I have burned part of it in the fire; yea, also I have baked bread upon the coals thereof; I have roasted flesh, and eaten it: and shall I make the residue thereof an abomination? shall I fall down to the stock of a tree?(KJV-1611) Isa 44:19 Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa!(Creole-HT) ======= Isaiah 44:20 ============ Isa 44:20 He feedeth on ashes: a deceived heart hath turned him aside, that he cannot deliver his soul, nor say, Is there not a lie in my right hand?(KJV-1611) Isa 44:20 Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:21 ============ Isa 44:21 Remember these, O Jacob and Israel; for thou art my servant: I have formed thee; thou art my servant: O Israel, thou shalt not be forgotten of me.(KJV-1611) Isa 44:21 Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 44:22 ============ Isa 44:22 I have blotted out, as a thick cloud, thy transgressions, and, as a cloud, thy sins: return unto me; for I have redeemed thee.(KJV-1611) Isa 44:22 Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:23 ============ Isa 44:23 Sing, O ye heavens; for the LORD hath done it: shout, ye lower parts of the earth: break forth into singing, ye mountains, O forest, and every tree therein: for the LORD hath redeemed Jacob, and glorified himself in Israel.(KJV-1611) Isa 44:23 Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:24 ============ Isa 44:24 Thus saith the LORD, thy redeemer, and he that formed thee from the womb, I am the LORD that maketh all things; that stretcheth forth the heavens alone; that spreadeth abroad the earth by myself;(KJV-1611) Isa 44:24 Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?(Creole-HT) ======= Isaiah 44:25 ============ Isa 44:25 That frustrateth the tokens of the liars, and maketh diviners mad; that turneth wise men backward, and maketh their knowledge foolish;(KJV-1611) Isa 44:25 Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:26 ============ Isa 44:26 That confirmeth the word of his servant, and performeth the counsel of his messengers; that saith to Jerusalem, Thou shalt be inhabited; and to the cities of Judah, Ye shall be built, and I will raise up the decayed places thereof:(KJV-1611) Isa 44:26 Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:27 ============ Isa 44:27 That saith to the deep, Be dry, and I will dry up thy rivers:(KJV-1611) Isa 44:27 Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 44:28 ============ Isa 44:28 That saith of Cyrus, He is my shepherd, and shall perform all my pleasure: even saying to Jerusalem, Thou shalt be built; and to the temple, Thy foundation shall be laid.(KJV-1611) Isa 44:28 Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:1 ============ Isa 45:1 Thus saith the LORD to his anointed, to Cyrus, whose right hand I have holden, to subdue nations before him; and I will loose the loins of kings, to open before him the two leaved gates; and the gates shall not be shut;(KJV-1611) Isa 45:1 Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:(Creole-HT) ======= Isaiah 45:2 ============ Isa 45:2 I will go before thee, and make the crooked places straight: I will break in pieces the gates of brass, and cut in sunder the bars of iron:(KJV-1611) Isa 45:2 -Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:3 ============ Isa 45:3 And I will give thee the treasures of darkness, and hidden riches of secret places, that thou mayest know that I, the LORD, which call thee by thy name, am the God of Israel.(KJV-1611) Isa 45:3 M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:4 ============ Isa 45:4 For Jacob my servant's sake, and Israel mine elect, I have even called thee by thy name: I have surnamed thee, though thou hast not known me.(KJV-1611) Isa 45:4 Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:5 ============ Isa 45:5 I am the LORD, and there is none else, there is no God beside me: I girded thee, though thou hast not known me:(KJV-1611) Isa 45:5 Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa t' konnen m' lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:6 ============ Isa 45:6 That they may know from the rising of the sun, and from the west, that there is none beside me. I am the LORD, and there is none else.(KJV-1611) Isa 45:6 Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:7 ============ Isa 45:7 I form the light, and create darkness: I make peace, and create evil: I the LORD do all these things.(KJV-1611) Isa 45:7 Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:8 ============ Isa 45:8 Drop down, ye heavens, from above, and let the skies pour down righteousness: let the earth open, and let them bring forth salvation, and let righteousness spring up together; I the LORD have created it.(KJV-1611) Isa 45:8 M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l' pou resevwa l'. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Seyè a k'ap fè tou sa rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:9 ============ Isa 45:9 Woe unto him that striveth with his Maker! Let the potsherd strive with the potsherds of the earth. Shall the clay say to him that fashioneth it, What makest thou? or thy work, He hath no hands?(KJV-1611) Isa 45:9 Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:10 ============ Isa 45:10 Woe unto him that saith unto his father, What begettest thou? or to the woman, What hast thou brought forth?(KJV-1611) Isa 45:10 Madichon pou pitit k'ap di papa l' ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l' ki kalite pitit ou met sou latè a la a!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:11 ============ Isa 45:11 Thus saith the LORD, the Holy One of Israel, and his Maker, Ask me of things to come concerning my sons, and concerning the work of my hands command ye me.(KJV-1611) Isa 45:11 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè?(Creole-HT) ======= Isaiah 45:12 ============ Isa 45:12 I have made the earth, and created man upon it: I, even my hands, have stretched out the heavens, and all their host have I commanded.(KJV-1611) Isa 45:12 Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:13 ============ Isa 45:13 I have raised him up in righteousness, and I will direct all his ways: he shall build my city, and he shall let go my captives, not for price nor reward, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Isa 45:13 Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m' yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bezwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:14 ============ Isa 45:14 Thus saith the LORD, The labour of Egypt, and merchandise of Ethiopia and of the Sabeans, men of stature, shall come over unto thee, and they shall be thine: they shall come after thee; in chains they shall come over, and they shall fall down unto thee, they shall make supplication unto thee, saying, Surely God is in thee; and there is none else, there is no God.(KJV-1611) Isa 45:14 Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:15 ============ Isa 45:15 Verily thou art a God that hidest thyself, O God of Israel, the Saviour.(KJV-1611) Isa 45:15 Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:16 ============ Isa 45:16 They shall be ashamed, and also confounded, all of them: they shall go to confusion together that are makers of idols.(KJV-1611) Isa 45:16 Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:17 ============ Isa 45:17 But Israel shall be saved in the LORD with an everlasting salvation: ye shall not be ashamed nor confounded world without end.(KJV-1611) Isa 45:17 Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:18 ============ Isa 45:18 For thus saith the LORD that created the heavens; God himself that formed the earth and made it; he hath established it, he created it not in vain, he formed it to be inhabited: I am the LORD; and there is none else.(KJV-1611) Isa 45:18 Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:19 ============ Isa 45:19 I have not spoken in secret, in a dark place of the earth: I said not unto the seed of Jacob, Seek ye me in vain: I the LORD speak righteousness, I declare things that are right.(KJV-1611) Isa 45:19 Se pa an kachèt mwen te pale, ni nan yon kote ki fè nwa. Mwen pa t' di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Seyè a mwen ye. Mwen pale laverite, mwen fè konnen sa ki dwe fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:20 ============ Isa 45:20 Assemble yourselves and come; draw near together, ye that are escaped of the nations: they have no knowledge that set up the wood of their graven image, and pray unto a god that cannot save.(KJV-1611) Isa 45:20 Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:21 ============ Isa 45:21 Tell ye, and bring them near; yea, let them take counsel together: who hath declared this from ancient time? who hath told it from that time? have not I the LORD? and there is no God else beside me; a just God and a Saviour; there is none beside me.(KJV-1611) Isa 45:21 Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:22 ============ Isa 45:22 Look unto me, and be ye saved, all the ends of the earth: for I am God, and there is none else.(KJV-1611) Isa 45:22 Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!(Creole-HT) ======= Isaiah 45:23 ============ Isa 45:23 I have sworn by myself, the word is gone out of my mouth in righteousness, and shall not return, That unto me every knee shall bow, every tongue shall swear.(KJV-1611) Isa 45:23 Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:24 ============ Isa 45:24 Surely, shall one say, in the LORD have I righteousness and strength: even to him shall men come; and all that are incensed against him shall be ashamed.(KJV-1611) Isa 45:24 Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 45:25 ============ Isa 45:25 In the LORD shall all the seed of Israel be justified, and shall glory.(KJV-1611) Isa 45:25 Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:1 ============ Isa 46:1 Bel boweth down, Nebo stoopeth, their idols were upon the beasts, and upon the cattle: your carriages were heavy loaden; they are a burden to the weary beast.(KJV-1611) Isa 46:1 Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:2 ============ Isa 46:2 They stoop, they bow down together; they could not deliver the burden, but themselves are gone into captivity.(KJV-1611) Isa 46:2 Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a. Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a. Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:3 ============ Isa 46:3 Hearken unto me, O house of Jacob, and all the remnant of the house of Israel, which are borne by me from the belly, which are carried from the womb:(KJV-1611) Isa 46:3 Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:(Creole-HT) ======= Isaiah 46:4 ============ Isa 46:4 And even to your old age I am he; and even to hoar hairs will I carry you: I have made, and I will bear; even I will carry, and will deliver you.(KJV-1611) Isa 46:4 M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:5 ============ Isa 46:5 To whom will ye liken me, and make me equal, and compare me, that we may be like?(KJV-1611) Isa 46:5 Ak ki moun nou ta konpare m'? Ki moun nou ka di ki sanble m'? Ki moun nou ka mete bò kote m' ki tankou m'?(Creole-HT) ======= Isaiah 46:6 ============ Isa 46:6 They lavish gold out of the bag, and weigh silver in the balance, and hire a goldsmith; and he maketh it a god: they fall down, yea, they worship.(KJV-1611) Isa 46:6 Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:7 ============ Isa 46:7 They bear him upon the shoulder, they carry him, and set him in his place, and he standeth; from his place shall he not remove: yea, one shall cry unto him, yet can he not answer, nor save him out of his trouble.(KJV-1611) Isa 46:7 Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:8 ============ Isa 46:8 Remember this, and shew yourselves men: bring it again to mind, O ye transgressors.(KJV-1611) Isa 46:8 Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!(Creole-HT) ======= Isaiah 46:9 ============ Isa 46:9 Remember the former things of old: for I am God, and there is none else; I am God, and there is none like me,(KJV-1611) Isa 46:9 Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 46:10 ============ Isa 46:10 Declaring the end from the beginning, and from ancient times the things that are not yet done, saying, My counsel shall stand, and I will do all my pleasure:(KJV-1611) Isa 46:10 Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:11 ============ Isa 46:11 Calling a ravenous bird from the east, the man that executeth my counsel from a far country: yea, I have spoken it, I will also bring it to pass; I have purposed it, I will also do it.(KJV-1611) Isa 46:11 Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 46:12 ============ Isa 46:12 Hearken unto me, ye stouthearted, that are far from righteousness:(KJV-1611) Isa 46:12 Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa soti pou fè sa ki dwat:(Creole-HT) ======= Isaiah 46:13 ============ Isa 46:13 I bring near my righteousness; it shall not be far off, and my salvation shall not tarry: and I will place salvation in Zion for Israel my glory.(KJV-1611) Isa 46:13 M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:1 ============ Isa 47:1 Come down, and sit in the dust, O virgin daughter of Babylon, sit on the ground: there is no throne, O daughter of the Chaldeans: for thou shalt no more be called tender and delicate.(KJV-1611) Isa 47:1 Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:2 ============ Isa 47:2 Take the millstones, and grind meal: uncover thy locks, make bare the leg, uncover the thigh, pass over the rivers.(KJV-1611) Isa 47:2 Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:3 ============ Isa 47:3 Thy nakedness shall be uncovered, yea, thy shame shall be seen: I will take vengeance, and I will not meet thee as a man.(KJV-1611) Isa 47:3 Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:4 ============ Isa 47:4 As for our redeemer, the LORD of hosts is his name, the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 47:4 Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:5 ============ Isa 47:5 Sit thou silent, and get thee into darkness, O daughter of the Chaldeans: for thou shalt no more be called, The lady of kingdoms.(KJV-1611) Isa 47:5 Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:6 ============ Isa 47:6 I was wroth with my people, I have polluted mine inheritance, and given them into thine hand: thou didst shew them no mercy; upon the ancient hast thou very heavily laid thy yoke.(KJV-1611) Isa 47:6 Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:7 ============ Isa 47:7 And thou saidst, I shall be a lady for ever: so that thou didst not lay these things to thy heart, neither didst remember the latter end of it.(KJV-1611) Isa 47:7 Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:8 ============ Isa 47:8 Therefore hear now this, thou that art given to pleasures, that dwellest carelessly, that sayest in thine heart, I am, and none else beside me; I shall not sit as a widow, neither shall I know the loss of children:(KJV-1611) Isa 47:8 Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!(Creole-HT) ======= Isaiah 47:9 ============ Isa 47:9 But these two things shall come to thee in a moment in one day, the loss of children, and widowhood: they shall come upon thee in their perfection for the multitude of thy sorceries, and for the great abundance of thine enchantments.(KJV-1611) Isa 47:9 Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 47:10 ============ Isa 47:10 For thou hast trusted in thy wickedness: thou hast said, None seeth me. Thy wisdom and thy knowledge, it hath perverted thee; and thou hast said in thine heart, I am, and none else beside me.(KJV-1611) Isa 47:10 Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:11 ============ Isa 47:11 Therefore shall evil come upon thee; thou shalt not know from whence it riseth: and mischief shall fall upon thee; thou shalt not be able to put it off: and desolation shall come upon thee suddenly, which thou shalt not know.(KJV-1611) Isa 47:11 Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:12 ============ Isa 47:12 Stand now with thine enchantments, and with the multitude of thy sorceries, wherein thou hast laboured from thy youth; if so be thou shalt be able to profit, if so be thou mayest prevail.(KJV-1611) Isa 47:12 Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 47:13 ============ Isa 47:13 Thou art wearied in the multitude of thy counsels. Let now the astrologers, the stargazers, the monthly prognosticators, stand up, and save thee from these things that shall come upon thee.(KJV-1611) Isa 47:13 Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:14 ============ Isa 47:14 Behold, they shall be as stubble; the fire shall burn them; they shall not deliver themselves from the power of the flame: there shall not be a coal to warm at, nor fire to sit before it.(KJV-1611) Isa 47:14 Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife.(Creole-HT) ======= Isaiah 47:15 ============ Isa 47:15 Thus shall they be unto thee with whom thou hast laboured, even thy merchants, from thy youth: they shall wander every one to his quarter; none shall save thee.(KJV-1611) Isa 47:15 Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:1 ============ Isa 48:1 Hear ye this, O house of Jacob, which are called by the name of Israel, and are come forth out of the waters of Judah, which swear by the name of the LORD, and make mention of the God of Israel, but not in truth, nor in righteousness.(KJV-1611) Isa 48:1 Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:2 ============ Isa 48:2 For they call themselves of the holy city, and stay themselves upon the God of Israel; The LORD of hosts is his name.(KJV-1611) Isa 48:2 Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:3 ============ Isa 48:3 I have declared the former things from the beginning; and they went forth out of my mouth, and I shewed them; I did them suddenly, and they came to pass.(KJV-1611) Isa 48:3 Depi lontan mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive. Mwen te pale pou tout moun tande. Mwen rete konsa, mwen fè sa m' gen pou m' fè a, epi yo rive vre.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:4 ============ Isa 48:4 Because I knew that thou art obstinate, and thy neck is an iron sinew, and thy brow brass;(KJV-1611) Isa 48:4 Mwen te konnen jan nou wòklò. Tèt nou di pase fè, di pase wòch(Creole-HT) ======= Isaiah 48:5 ============ Isa 48:5 I have even from the beginning declared it to thee; before it came to pass I shewed it thee: lest thou shouldest say, Mine idol hath done them, and my graven image, and my molten image, hath commanded them.(KJV-1611) Isa 48:5 Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:6 ============ Isa 48:6 Thou hast heard, see all this; and will not ye declare it? I have shewed thee new things from this time, even hidden things, and thou didst not know them.(KJV-1611) Isa 48:6 Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre. Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive, bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:7 ============ Isa 48:7 They are created now, and not from the beginning; even before the day when thou heardest them not; lest thou shouldest say, Behold, I knew them.(KJV-1611) Isa 48:7 Se bagay m'ap fè koulye a menm. Mwen pa janm ko fè sa. Se bagay nou pa t' janm konnen jouk jounen jòdi a. Konsa nou pa ka di nou te konn sa deja!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:8 ============ Isa 48:8 Yea, thou heardest not; yea, thou knewest not; yea, from that time that thine ear was not opened: for I knew that thou wouldest deal very treacherously, and wast called a transgressor from the womb.(KJV-1611) Isa 48:8 Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:9 ============ Isa 48:9 For my name's sake will I defer mine anger, and for my praise will I refrain for thee, that I cut thee not off.(KJV-1611) Isa 48:9 Se poutèt non mwen pote a kifè mwen kenbe kòlè m'. Se paske mwen vle pou moun fè lwanj mwen kifè mwen pa koute kòlè m' pou m' kraze nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:10 ============ Isa 48:10 Behold, I have refined thee, but not with silver; I have chosen thee in the furnace of affliction.(KJV-1611) Isa 48:10 Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:11 ============ Isa 48:11 For mine own sake, even for mine own sake, will I do it: for how should my name be polluted? and I will not give my glory unto another.(KJV-1611) Isa 48:11 Se poutèt mwen, poutèt mwen menm ase, mwen fè sa m' fè a. Eske m' ka kite yo derespekte non mwen? Mwen p'ap kite yon lòt resevwa lwanj ki pou mwen an!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:12 ============ Isa 48:12 Hearken unto me, O Jacob and Israel, my called; I am he; I am the first, I also am the last.(KJV-1611) Isa 48:12 Nou menm fanmi Jakòb yo, Nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi a, koute m' byen. Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay kaba. Mwen p'ap janm chanje.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:13 ============ Isa 48:13 Mine hand also hath laid the foundation of the earth, and my right hand hath spanned the heavens: when I call unto them, they stand up together.(KJV-1611) Isa 48:13 Se mwen menm ak men mwen ki fè latè. Se ak fòs ponyèt mwen mwen louvri syèl la. Lè m' rele yo, yo tout kouri vin nan pye m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:14 ============ Isa 48:14 All ye, assemble yourselves, and hear; which among them hath declared these things? The LORD hath loved him: he will do his pleasure on Babylon, and his arm shall be on the Chaldeans.(KJV-1611) Isa 48:14 Nou tout, sanble non pou nou koute m'! Kilès nan zidòl nou yo ki te fè konnen depi davans tout bagay sa yo? Moun mwen renmen an pral fè travay mwen vle l' fè a kont lavil Babilòn, kont ras moun Kalde yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:15 ============ Isa 48:15 I, even I, have spoken; yea, I have called him: I have brought him, and he shall make his way prosperous.(KJV-1611) Isa 48:15 Se mwen menm ki te pale, se mwen menm ki te rele l'. Se mwen menm ki fè l' vini. M'ap fè l' reyisi nan travay l'ap fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:16 ============ Isa 48:16 Come ye near unto me, hear ye this; I have not spoken in secret from the beginning; from the time that it was, there am I: and now the Lord GOD, and his Spirit, hath sent me.(KJV-1611) Isa 48:16 Pwoche kote m' non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Koulye a, Seyè a ban mwen lespri l', li voye m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:17 ============ Isa 48:17 Thus saith the LORD, thy Redeemer, the Holy One of Israel; I am the LORD thy God which teacheth thee to profit, which leadeth thee by the way that thou shouldest go.(KJV-1611) Isa 48:17 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:18 ============ Isa 48:18 O that thou hadst hearkened to my commandments! then had thy peace been as a river, and thy righteousness as the waves of the sea:(KJV-1611) Isa 48:18 Si sèlman nou te swiv lòd mwen te ban nou yo, benediksyon ta vide sou nou tankou lapli k'ap tonbe. Tankou lanmè ki pa janm sispann voye lanm, m' pa ta janm sispann kanpe pou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 48:19 ============ Isa 48:19 Thy seed also had been as the sand, and the offspring of thy bowels like the gravel thereof; his name should not have been cut off nor destroyed from before me.(KJV-1611) Isa 48:19 Moun ras nou yo ta menm kantite ak grenn sab. Pitit pitit nou yo ta tankou grenn sab bò lanmè. Anyen pa ta ka detwi nou devan mwen. Non! Nou pa ta janm disparèt devan mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:20 ============ Isa 48:20 Go ye forth of Babylon, flee ye from the Chaldeans, with a voice of singing declare ye, tell this, utter it even to the end of the earth; say ye, The LORD hath redeemed his servant Jacob.(KJV-1611) Isa 48:20 Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:21 ============ Isa 48:21 And they thirsted not when he led them through the deserts: he caused the waters to flow out of the rock for them: he clave the rock also, and the waters gushed out.(KJV-1611) Isa 48:21 Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti.(Creole-HT) ======= Isaiah 48:22 ============ Isa 48:22 There is no peace, saith the LORD, unto the wicked.(KJV-1611) Isa 48:22 Men Seyè a di: Pa gen kè poze pou mechan yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 49:1 ============ Isa 49:1 Listen, O isles, unto me; and hearken, ye people, from far; The LORD hath called me from the womb; from the bowels of my mother hath he made mention of my name.(KJV-1611) Isa 49:1 Nou menm ki rete nan zile yo, koute sa m'ap di nou! Nou menm ki rete byen lwen yo, pare zòrèy nou! Depi m' fèt, Seyè a chwazi m'! Depi nan vant manman m', li rele m' pou m' sèvi l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:2 ============ Isa 49:2 And he hath made my mouth like a sharp sword; in the shadow of his hand hath he hid me, and made me a polished shaft; in his quiver hath he hid me;(KJV-1611) Isa 49:2 Li mete nan bouch mwen pawòl ki tankou kouto byen file. Li pwoteje m' avèk fòs li. Li pare m' tankou yon flèch byen pwenti, li sere m' nan sakit li.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:3 ============ Isa 49:3 And said unto me, Thou art my servant, O Israel, in whom I will be glorified.(KJV-1611) Isa 49:3 Li di m': Izrayèl, se sèvitè m' ou ye! W'ap sèvi yon lwanj pou mwen!(Creole-HT) ======= Isaiah 49:4 ============ Isa 49:4 Then I said, I have laboured in vain, I have spent my strength for nought, and in vain: yet surely my judgment is with the LORD, and my work with my God.(KJV-1611) Isa 49:4 Mwen menm, mwen t'ap di nan kè m': Se pou dan ri m'ap fatige kò m'. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m'ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m' rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:5 ============ Isa 49:5 And now, saith the LORD that formed me from the womb to be his servant, to bring Jacob again to him, Though Israel be not gathered, yet shall I be glorious in the eyes of the LORD, and my God shall be my strength.(KJV-1611) Isa 49:5 Se Seyè a menm ki chwazi m' depi m' fèt pou m' sèvi l', pou m' fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m' sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Seyè a ban m' bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:6 ============ Isa 49:6 And he said, It is a light thing that thou shouldest be my servant to raise up the tribes of Jacob, and to restore the preserved of Israel: I will also give thee for a light to the Gentiles, that thou mayest be my salvation unto the end of the earth.(KJV-1611) Isa 49:6 Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!(Creole-HT) ======= Isaiah 49:7 ============ Isa 49:7 Thus saith the LORD, the Redeemer of Israel, and his Holy One, to him whom man despiseth, to him whom the nation abhorreth, to a servant of rulers, Kings shall see and arise, princes also shall worship, because of the LORD that is faithful, and the Holy One of Israel, and he shall choose thee.(KJV-1611) Isa 49:7 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:8 ============ Isa 49:8 Thus saith the LORD, In an acceptable time have I heard thee, and in a day of salvation have I helped thee: and I will preserve thee, and give thee for a covenant of the people, to establish the earth, to cause to inherit the desolate heritages;(KJV-1611) Isa 49:8 Men sa Seyè a di pèp li a: -Lè lè a va rive pou m' fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m' delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:9 ============ Isa 49:9 That thou mayest say to the prisoners, Go forth; to them that are in darkness, Shew yourselves. They shall feed in the ways, and their pastures shall be in all high places.(KJV-1611) Isa 49:9 M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:10 ============ Isa 49:10 They shall not hunger nor thirst; neither shall the heat nor sun smite them: for he that hath mercy on them shall lead them, even by the springs of water shall he guide them.(KJV-1611) Isa 49:10 Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Chalè solèy ak van dezè p'ap fè yo anyen. Paske se moun ki renmen yo a k'ap kondi yo. L'a mennen yo kote ki gen sous dlo.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:11 ============ Isa 49:11 And I will make all my mountains a way, and my highways shall be exalted.(KJV-1611) Isa 49:11 M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:12 ============ Isa 49:12 Behold, these shall come from far: and, lo, these from the north and from the west; and these from the land of Sinim.(KJV-1611) Isa 49:12 Gen ladan yo k'ap soti byen lwen. Gen sa k'ap soti nan nò. Gen sa k'ap soti bò solèy kouche. Gen lòt k'ap soti lavil Sinim nan sid.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:13 ============ Isa 49:13 Sing, O heavens; and be joyful, O earth; and break forth into singing, O mountains: for the LORD hath comforted his people, and will have mercy upon his afflicted.(KJV-1611) Isa 49:13 Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:14 ============ Isa 49:14 But Zion said, The LORD hath forsaken me, and my Lord hath forgotten me.(KJV-1611) Isa 49:14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:15 ============ Isa 49:15 Can a woman forget her sucking child, that she should not have compassion on the son of her womb? yea, they may forget, yet will I not forget thee.(KJV-1611) Isa 49:15 Seyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 49:16 ============ Isa 49:16 Behold, I have graven thee upon the palms of my hands; thy walls are continually before me.(KJV-1611) Isa 49:16 Mwen ekri non nou nan pla men m'. Mwen toujou wè miray nou yo devan je m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:17 ============ Isa 49:17 Thy children shall make haste; thy destroyers and they that made thee waste shall go forth of thee.(KJV-1611) Isa 49:17 Moun ki pral rebati lavil la ap vin talè konsa. Moun ki t'ap kraze nou yo, ki t'ap piye nou yo, pral kouri met deyò.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:18 ============ Isa 49:18 Lift up thine eyes round about, and behold: all these gather themselves together, and come to thee. As I live, saith the LORD, thou shalt surely clothe thee with them all, as with an ornament, and bind them on thee, as a bride doeth.(KJV-1611) Isa 49:18 Voye je nou toupatou. Gade sa k'ap pase. Tout moun nou yo ap sanble, y'ap vin jwenn nou. Jan nou konnen mwen vivan an, mwen fè sèman: Nou pral kontan wè yo lakay nou, tankou lè lamarye kontan wè bèl rad nòs li sou li. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:19 ============ Isa 49:19 For thy waste and thy desolate places, and the land of thy destruction, shall even now be too narrow by reason of the inhabitants, and they that swallowed thee up shall be far away.(KJV-1611) Isa 49:19 Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, koulye a li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l'. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:20 ============ Isa 49:20 The children which thou shalt have, after thou hast lost the other, shall say again in thine ears, The place is too strait for me: give place to me that I may dwell.(KJV-1611) Isa 49:20 Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:21 ============ Isa 49:21 Then shalt thou say in thine heart, Who hath begotten me these, seeing I have lost my children, and am desolate, a captive, and removing to and fro? and who hath brought up these? Behold, I was left alone; these, where had they been?(KJV-1611) Isa 49:21 Lè sa a, n'a di nan kè nou! -Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pa t' kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo soti menm?(Creole-HT) ======= Isaiah 49:22 ============ Isa 49:22 Thus saith the Lord GOD, Behold, I will lift up mine hand to the Gentiles, and set up my standard to the people: and they shall bring thy sons in their arms, and thy daughters shall be carried upon their shoulders.(KJV-1611) Isa 49:22 Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:23 ============ Isa 49:23 And kings shall be thy nursing fathers, and their queens thy nursing mothers: they shall bow down to thee with their face toward the earth, and lick up the dust of thy feet; and thou shalt know that I am the LORD: for they shall not be ashamed that wait for me.(KJV-1611) Isa 49:23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y'ap ajenou devan nou, y'ap bese tèt yo jouk atè, Y'a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p'ap janm wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:24 ============ Isa 49:24 Shall the prey be taken from the mighty, or the lawful captive delivered?(KJV-1611) Isa 49:24 Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?(Creole-HT) ======= Isaiah 49:25 ============ Isa 49:25 But thus saith the LORD, Even the captives of the mighty shall be taken away, and the prey of the terrible shall be delivered: for I will contend with him that contendeth with thee, and I will save thy children.(KJV-1611) Isa 49:25 Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 49:26 ============ Isa 49:26 And I will feed them that oppress thee with their own flesh; and they shall be drunken with their own blood, as with sweet wine: and all flesh shall know that I the LORD am thy Saviour and thy Redeemer, the mighty One of Jacob.(KJV-1611) Isa 49:26 Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:1 ============ Isa 50:1 Thus saith the LORD, Where is the bill of your mother's divorcement, whom I have put away? or which of my creditors is it to whom I have sold you? Behold, for your iniquities have ye sold yourselves, and for your transgressions is your mother put away.(KJV-1611) Isa 50:1 Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:2 ============ Isa 50:2 Wherefore, when I came, was there no man? when I called, was there none to answer? Is my hand shortened at all, that it cannot redeem? or have I no power to deliver? behold, at my rebuke I dry up the sea, I make the rivers a wilderness: their fish stinketh, because there is no water, and dieth for thirst.(KJV-1611) Isa 50:2 Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:3 ============ Isa 50:3 I clothe the heavens with blackness, and I make sackcloth their covering.(KJV-1611) Isa 50:3 Mwen kouvri syèl la ak nwaj nwa. Li tankou yon moun ki nan lapenn pou ka lanmò!(Creole-HT) ======= Isaiah 50:4 ============ Isa 50:4 The Lord GOD hath given me the tongue of the learned, that I should know how to speak a word in season to him that is weary: he wakeneth morning by morning, he wakeneth mine ear to hear as the learned.(KJV-1611) Isa 50:4 Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:5 ============ Isa 50:5 The Lord GOD hath opened mine ear, and I was not rebellious, neither turned away back.(KJV-1611) Isa 50:5 Seyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:6 ============ Isa 50:6 I gave my back to the smiters, and my cheeks to them that plucked off the hair: I hid not my face from shame and spitting.(KJV-1611) Isa 50:6 Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:7 ============ Isa 50:7 For the Lord GOD will help me; therefore shall I not be confounded: therefore have I set my face like a flint, and I know that I shall not be ashamed.(KJV-1611) Isa 50:7 Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:8 ============ Isa 50:8 He is near that justifieth me; who will contend with me? let us stand together: who is mine adversary? let him come near to me.(KJV-1611) Isa 50:8 Moun ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive. Ki moun ki vle plede ak mwen? Ann konparèt ansanm devan tribinal la? Kilès ki vle rele m' lajistis? Se pou l' vin kanpe la devan m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 50:9 ============ Isa 50:9 Behold, the Lord GOD will help me; who is he that shall condemn me? lo, they all shall wax old as a garment; the moth shall eat them up.(KJV-1611) Isa 50:9 Se Seyè a menm, Bondye a, k'ap pote m' sekou. Ki moun ki ka fè yo kondannen m'? Tout moun k'ap akize m' yo pral disparèt. Y'ap tankou yon rad vèmen ap devore.(Creole-HT) ======= Isaiah 50:10 ============ Isa 50:10 Who is among you that feareth the LORD, that obeyeth the voice of his servant, that walketh in darkness, and hath no light? let him trust in the name of the LORD, and stay upon his God.(KJV-1611) Isa 50:10 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Isaiah 50:11 ============ Isa 50:11 Behold, all ye that kindle a fire, that compass yourselves about with sparks: walk in the light of your fire, and in the sparks that ye have kindled. This shall ye have of mine hand; ye shall lie down in sorrow.(KJV-1611) Isa 50:11 Men nou tout k'ap pouse dife, k'ap fè plan pou detwi lòt moun, se nou menm ki pral boule nan dife nou limen an, se nou menm ki pral pran nan plan n'ap fè yo. Se Seyè a menm ki pral fè sa rive nou: Nou pral tòde ak doulè nan kabann nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:1 ============ Isa 51:1 Hearken to me, ye that follow after righteousness, ye that seek the LORD: look unto the rock whence ye are hewn, and to the hole of the pit whence ye are digged.(KJV-1611) Isa 51:1 Men sa Seyè a di: -Nou tout ki dèyè delivrans, nou tout k'ap chache Seyè a, chonje wòch kote nou soti a, chonje min kote yo wete nou an!(Creole-HT) ======= Isaiah 51:2 ============ Isa 51:2 Look unto Abraham your father, and unto Sarah that bare you: for I called him alone, and blessed him, and increased him.(KJV-1611) Isa 51:2 Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m' te rele Abraram, li pa t' gen pitit. Mwen beni l', mwen ba li anpil pitit.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:3 ============ Isa 51:3 For the LORD shall comfort Zion: he will comfort all her waste places; and he will make her wilderness like Eden, and her desert like the garden of the LORD; joy and gladness shall be found therein, thanksgiving, and the voice of melody.(KJV-1611) Isa 51:3 Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:4 ============ Isa 51:4 Hearken unto me, my people; and give ear unto me, O my nation: for a law shall proceed from me, and I will make my judgment to rest for a light of the people.(KJV-1611) Isa 51:4 Nou menm pèp mwen, koute sa m'ap di nou: Nou menm nasyon yo, pare zòrèy nou: Se mwen menm ki bay lalwa ki la pou rann jistis, pou sa sèvi yon limyè pou tout nasyon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:5 ============ Isa 51:5 My righteousness is near; my salvation is gone forth, and mine arms shall judge the people; the isles shall wait upon me, and on mine arm shall they trust.(KJV-1611) Isa 51:5 Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:6 ============ Isa 51:6 Lift up your eyes to the heavens, and look upon the earth beneath: for the heavens shall vanish away like smoke, and the earth shall wax old like a garment, and they that dwell therein shall die in like manner: but my salvation shall be for ever, and my righteousness shall not be abolished.(KJV-1611) Isa 51:6 Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:7 ============ Isa 51:7 Hearken unto me, ye that know righteousness, the people in whose heart is my law; fear ye not the reproach of men, neither be ye afraid of their revilings.(KJV-1611) Isa 51:7 Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:8 ============ Isa 51:8 For the moth shall eat them up like a garment, and the worm shall eat them like wool: but my righteousness shall be for ever, and my salvation from generation to generation.(KJV-1611) Isa 51:8 Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal ki kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou m' delivre yo ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:9 ============ Isa 51:9 Awake, awake, put on strength, O arm of the LORD; awake, as in the ancient days, in the generations of old. Art thou not it that hath cut Rahab, and wounded the dragon?(KJV-1611) Isa 51:9 Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?(Creole-HT) ======= Isaiah 51:10 ============ Isa 51:10 Art thou not it which hath dried the sea, the waters of the great deep; that hath made the depths of the sea a way for the ransomed to pass over?(KJV-1611) Isa 51:10 Se ou menm ki te cheche dlo lanmè a. Se ou menm ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou moun ou t'ap delivre yo te ka pase.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:11 ============ Isa 51:11 Therefore the redeemed of the LORD shall return, and come with singing unto Zion; and everlasting joy shall be upon their head: they shall obtain gladness and joy; and sorrow and mourning shall flee away.(KJV-1611) Isa 51:11 Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:12 ============ Isa 51:12 I, even I, am he that comforteth you: who art thou, that thou shouldest be afraid of a man that shall die, and of the son of man which shall be made as grass;(KJV-1611) Isa 51:12 Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?(Creole-HT) ======= Isaiah 51:13 ============ Isa 51:13 And forgettest the LORD thy maker, that hath stretched forth the heavens, and laid the foundations of the earth; and hast feared continually every day because of the fury of the oppressor, as if he were ready to destroy? and where is the fury of the oppressor?(KJV-1611) Isa 51:13 Gen lè ou bliye Seyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w'ap tranble konsa devan kòlè moun k'ap peze ou yo, moun k'ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?(Creole-HT) ======= Isaiah 51:14 ============ Isa 51:14 The captive exile hasteneth that he may be loosed, and that he should not die in the pit, nor that his bread should fail.(KJV-1611) Isa 51:14 Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p'ap mouri nan kacho. Y'a jwenn kont manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:15 ============ Isa 51:15 But I am the LORD thy God, that divided the sea, whose waves roared: The LORD of hosts is his name.(KJV-1611) Isa 51:15 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m'!(Creole-HT) ======= Isaiah 51:16 ============ Isa 51:16 And I have put my words in thy mouth, and I have covered thee in the shadow of mine hand, that I may plant the heavens, and lay the foundations of the earth, and say unto Zion, Thou art my people.(KJV-1611) Isa 51:16 Lè m' t'ap louvri syèl la, lè m' t'ap mete fondasyon latè a, mwen te di moun Siyon yo: se pèp mwen nou ye. Mwen te mete pawòl mwen nan bouch nou. Mwen te pwoteje nou ak fòs ponyèt mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:17 ============ Isa 51:17 Awake, awake, stand up, O Jerusalem, which hast drunk at the hand of the LORD the cup of his fury; thou hast drunken the dregs of the cup of trembling, and wrung them out.(KJV-1611) Isa 51:17 Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!(Creole-HT) ======= Isaiah 51:18 ============ Isa 51:18 There is none to guide her among all the sons whom she hath brought forth; neither is there any that taketh her by the hand of all the sons that she hath brought up.(KJV-1611) Isa 51:18 Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre l' chemen pou l' pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l' men.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:19 ============ Isa 51:19 These two things are come unto thee; who shall be sorry for thee? desolation, and destruction, and the famine, and the sword: by whom shall I comfort thee?(KJV-1611) Isa 51:19 De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:20 ============ Isa 51:20 Thy sons have fainted, they lie at the head of all the streets, as a wild bull in a net: they are full of the fury of the LORD, the rebuke of thy God.(KJV-1611) Isa 51:20 Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Seyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:21 ============ Isa 51:21 Therefore hear now this, thou afflicted, and drunken, but not with wine:(KJV-1611) Isa 51:21 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, nou menm ki sou tankou si nou te bwè diven.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:22 ============ Isa 51:22 Thus saith thy Lord the LORD, and thy God that pleadeth the cause of his people, Behold, I have taken out of thine hand the cup of trembling, even the dregs of the cup of my fury; thou shalt no more drink it again:(KJV-1611) Isa 51:22 Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.(Creole-HT) ======= Isaiah 51:23 ============ Isa 51:23 But I will put it into the hand of them that afflict thee; which have said to thy soul, Bow down, that we may go over: and thou hast laid thy body as the ground, and as the street, to them that went over.(KJV-1611) Isa 51:23 Se moun ki t'ap maltrete nou yo mwen pral bay li, moun ki t'ap fè nou pase tray yo epi ki t'ap di nou: Kouche kò nou atè pou nou ka pase sou nou. Lè konsa, nou pare do nou ba yo vre atè a, yo mache sou nou, tankou sou granchemen kote moun ap pase!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:1 ============ Isa 52:1 Awake, awake; put on thy strength, O Zion; put on thy beautiful garments, O Jerusalem, the holy city: for henceforth there shall no more come into thee the uncircumcised and the unclean.(KJV-1611) Isa 52:1 Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa pote mak kontra Bondye a, ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye, p'ap janm mete pye lakay ou ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:2 ============ Isa 52:2 Shake thyself from the dust; arise, and sit down, O Jerusalem: loose thyself from the bands of thy neck, O captive daughter of Zion.(KJV-1611) Isa 52:2 Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:3 ============ Isa 52:3 For thus saith the LORD, Ye have sold yourselves for nought; and ye shall be redeemed without money.(KJV-1611) Isa 52:3 Men sa Seyè a di pèp li a. -Yo pa t' bay lajan pou achte nou lè nou te tounen esklav. Yo p'ap bay lajan non plis pou delivre nou lè y'a lage nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:4 ============ Isa 52:4 For thus saith the Lord GOD, My people went down aforetime into Egypt to sojourn there; and the Assyrian oppressed them without cause.(KJV-1611) Isa 52:4 Men sa Seyè a, Bondye a, di: -Nan tan lontan, pèp mwen an te desann al rete nan peyi Lejip. Apre sa, Lasiri fè yo pase kont mizè yo pou anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:5 ============ Isa 52:5 Now therefore, what have I here, saith the LORD, that my people is taken away for nought? they that rule over them make them to howl, saith the LORD; and my name continually every day is blasphemed.(KJV-1611) Isa 52:5 Koulye a, sa pou m' fè la a? Se Seyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m' nan labou.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:6 ============ Isa 52:6 Therefore my people shall know my name: therefore they shall know in that day that I am he that doth speak: behold, it is I.(KJV-1611) Isa 52:6 Men jou sa a, pèp mwen an va rekonèt se mwen menm Bondye, ki pale ak nou! Men mwen!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:7 ============ Isa 52:7 How beautiful upon the mountains are the feet of him that bringeth good tidings, that publisheth peace; that bringeth good tidings of good, that publisheth salvation; that saith unto Zion, Thy God reigneth!(KJV-1611) Isa 52:7 Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:8 ============ Isa 52:8 Thy watchmen shall lift up the voice; with the voice together shall they sing: for they shall see eye to eye, when the LORD shall bring again Zion.(KJV-1611) Isa 52:8 Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:9 ============ Isa 52:9 Break forth into joy, sing together, ye waste places of Jerusalem: for the LORD hath comforted his people, he hath redeemed Jerusalem.(KJV-1611) Isa 52:9 Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:10 ============ Isa 52:10 The LORD hath made bare his holy arm in the eyes of all the nations; and all the ends of the earth shall see the salvation of our God.(KJV-1611) Isa 52:10 Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:11 ============ Isa 52:11 Depart ye, depart ye, go ye out from thence, touch no unclean thing; go ye out of the midst of her; be ye clean, that bear the vessels of the LORD.(KJV-1611) Isa 52:11 Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:12 ============ Isa 52:12 For ye shall not go out with haste, nor go by flight: for the LORD will go before you; and the God of Israel will be your rereward.(KJV-1611) Isa 52:12 Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 52:13 ============ Isa 52:13 Behold, my servant shall deal prudently, he shall be exalted and extolled, and be very high.(KJV-1611) Isa 52:13 Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè!(Creole-HT) ======= Isaiah 52:14 ============ Isa 52:14 As many were astonied at thee; his visage was so marred more than any man, and his form more than the sons of men:(KJV-1611) Isa 52:14 Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun,(Creole-HT) ======= Isaiah 52:15 ============ Isa 52:15 So shall he sprinkle many nations; the kings shall shut their mouths at him: for that which had not been told them shall they see; and that which they had not heard shall they consider.(KJV-1611) Isa 52:15 konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:1 ============ Isa 53:1 Who hath believed our report? and to whom is the arm of the LORD revealed?(KJV-1611) Isa 53:1 Pèp la va reponn: -Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?(Creole-HT) ======= Isaiah 53:2 ============ Isa 53:2 For he shall grow up before him as a tender plant, and as a root out of a dry ground: he hath no form nor comeliness; and when we shall see him, there is no beauty that we should desire him.(KJV-1611) Isa 53:2 Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:3 ============ Isa 53:3 He is despised and rejected of men; a man of sorrows, and acquainted with grief: and we hid as it were our faces from him; he was despised, and we esteemed him not.(KJV-1611) Isa 53:3 Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:4 ============ Isa 53:4 Surely he hath borne our griefs, and carried our sorrows: yet we did esteem him stricken, smitten of God, and afflicted.(KJV-1611) Isa 53:4 Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:5 ============ Isa 53:5 But he was wounded for our transgressions, he was bruised for our iniquities: the chastisement of our peace was upon him; and with his stripes we are healed.(KJV-1611) Isa 53:5 Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l' deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:6 ============ Isa 53:6 All we like sheep have gone astray; we have turned every one to his own way; and the LORD hath laid on him the iniquity of us all.(KJV-1611) Isa 53:6 Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:7 ============ Isa 53:7 He was oppressed, and he was afflicted, yet he opened not his mouth: he is brought as a lamb to the slaughter, and as a sheep before her shearers is dumb, so he openeth not his mouth.(KJV-1611) Isa 53:7 Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:8 ============ Isa 53:8 He was taken from prison and from judgment: and who shall declare his generation? for he was cut off out of the land of the living: for the transgression of my people was he stricken.(KJV-1611) Isa 53:8 Yo pran l', yo mete l' nan prizon, yo trennen l' tribinal. Pa t' gen pesonn pou te pran ka l', lè yo wete l' nan mitan moun k'ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:9 ============ Isa 53:9 And he made his grave with the wicked, and with the rich in his death; because he had done no violence, neither was any deceit in his mouth.(KJV-1611) Isa 53:9 Atout li pa t' janm fè ankenn krim, yo antere l' menm kote ak mechan yo. Atout li pa t' janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l' nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:10 ============ Isa 53:10 Yet it pleased the LORD to bruise him; he hath put him to grief: when thou shalt make his soul an offering for sin, he shall see his seed, he shall prolong his days, and the pleasure of the LORD shall prosper in his hand.(KJV-1611) Isa 53:10 Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:11 ============ Isa 53:11 He shall see of the travail of his soul, and shall be satisfied: by his knowledge shall my righteous servant justify many; for he shall bear their iniquities.(KJV-1611) Isa 53:11 Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.(Creole-HT) ======= Isaiah 53:12 ============ Isa 53:12 Therefore will I divide him a portion with the great, and he shall divide the spoil with the strong; because he hath poured out his soul unto death: and he was numbered with the transgressors; and he bare the sin of many, and made intercession for the transgressors.(KJV-1611) Isa 53:12 Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:1 ============ Isa 54:1 Sing, O barren, thou that didst not bear; break forth into singing, and cry aloud, thou that didst not travail with child: for more are the children of the desolate than the children of the married wife, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 54:1 Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:2 ============ Isa 54:2 Enlarge the place of thy tent, and let them stretch forth the curtains of thine habitations: spare not, lengthen thy cords, and strengthen thy stakes;(KJV-1611) Isa 54:2 Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!(Creole-HT) ======= Isaiah 54:3 ============ Isa 54:3 For thou shalt break forth on the right hand and on the left; and thy seed shall inherit the Gentiles, and make the desolate cities to be inhabited.(KJV-1611) Isa 54:3 Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:4 ============ Isa 54:4 Fear not; for thou shalt not be ashamed: neither be thou confounded; for thou shalt not be put to shame: for thou shalt forget the shame of thy youth, and shalt not remember the reproach of thy widowhood any more.(KJV-1611) Isa 54:4 Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:5 ============ Isa 54:5 For thy Maker is thine husband; the LORD of hosts is his name; and thy Redeemer the Holy One of Israel; The God of the whole earth shall he be called.(KJV-1611) Isa 54:5 Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:6 ============ Isa 54:6 For the LORD hath called thee as a woman forsaken and grieved in spirit, and a wife of youth, when thou wast refused, saith thy God.(KJV-1611) Isa 54:6 Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:7 ============ Isa 54:7 For a small moment have I forsaken thee; but with great mercies will I gather thee.(KJV-1611) Isa 54:7 Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m'ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:8 ============ Isa 54:8 In a little wrath I hid my face from thee for a moment; but with everlasting kindness will I have mercy on thee, saith the LORD thy Redeemer.(KJV-1611) Isa 54:8 Kòlè te fè m' pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m' fè m' mal pou ou. M'ap moutre ou jan m' toujou renmen ou. Se Seyè k'ap delivre ou la ki di ou sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:9 ============ Isa 54:9 For this is as the waters of Noah unto me: for as I have sworn that the waters of Noah should no more go over the earth; so have I sworn that I would not be wroth with thee, nor rebuke thee.(KJV-1611) Isa 54:9 Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:10 ============ Isa 54:10 For the mountains shall depart, and the hills be removed; but my kindness shall not depart from thee, neither shall the covenant of my peace be removed, saith the LORD that hath mercy on thee.(KJV-1611) Isa 54:10 Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:11 ============ Isa 54:11 O thou afflicted, tossed with tempest, and not comforted, behold, I will lay thy stones with fair colours, and lay thy foundations with sapphires.(KJV-1611) Isa 54:11 Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:12 ============ Isa 54:12 And I will make thy windows of agates, and thy gates of carbuncles, and all thy borders of pleasant stones.(KJV-1611) Isa 54:12 M'ap bati fò ou yo ak pyè ribi, pòtay ou yo ak pyè malachi, miray ranpa ou yo ak bèl wòch pyè ki koute chè.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:13 ============ Isa 54:13 And all thy children shall be taught of the LORD; and great shall be the peace of thy children.(KJV-1611) Isa 54:13 Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:14 ============ Isa 54:14 In righteousness shalt thou be established: thou shalt be far from oppression; for thou shalt not fear: and from terror; for it shall not come near thee.(KJV-1611) Isa 54:14 Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:15 ============ Isa 54:15 Behold, they shall surely gather together, but not by me: whosoever shall gather together against thee shall fall for thy sake.(KJV-1611) Isa 54:15 Si yo atake ou, sa p'ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:16 ============ Isa 54:16 Behold, I have created the smith that bloweth the coals in the fire, and that bringeth forth an instrument for his work; and I have created the waster to destroy.(KJV-1611) Isa 54:16 Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.(Creole-HT) ======= Isaiah 54:17 ============ Isa 54:17 No weapon that is formed against thee shall prosper; and every tongue that shall rise against thee in judgment thou shalt condemn. This is the heritage of the servants of the LORD, and their righteousness is of me, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 54:17 Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 55:1 ============ Isa 55:1 Ho, every one that thirsteth, come ye to the waters, and he that hath no money; come ye, buy, and eat; yea, come, buy wine and milk without money and without price.(KJV-1611) Isa 55:1 Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!(Creole-HT) ======= Isaiah 55:2 ============ Isa 55:2 Wherefore do ye spend money for that which is not bread? and your labour for that which satisfieth not? hearken diligently unto me, and eat ye that which is good, and let your soul delight itself in fatness.(KJV-1611) Isa 55:2 Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:3 ============ Isa 55:3 Incline your ear, and come unto me: hear, and your soul shall live; and I will make an everlasting covenant with you, even the sure mercies of David.(KJV-1611) Isa 55:3 Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:4 ============ Isa 55:4 Behold, I have given him for a witness to the people, a leader and commander to the people.(KJV-1611) Isa 55:4 Gade. Mwen te fè l' chèf pou l' te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l' sèvi m' temwen nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:5 ============ Isa 55:5 Behold, thou shalt call a nation that thou knowest not, and nations that knew not thee shall run unto thee because of the LORD thy God, and for the Holy One of Israel; for he hath glorified thee.(KJV-1611) Isa 55:5 Gade, ou pral rele nasyon ou pa t' konnen. Nasyon ki pa t' konnen ou pral kouri vin jwenn ou. Se mwen menm, Seyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa, paske m'ap leve ou anlè.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:6 ============ Isa 55:6 Seek ye the LORD while he may be found, call ye upon him while he is near:(KJV-1611) Isa 55:6 Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:7 ============ Isa 55:7 Let the wicked forsake his way, and the unrighteous man his thoughts: and let him return unto the LORD, and he will have mercy upon him; and to our God, for he will abundantly pardon.(KJV-1611) Isa 55:7 Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:8 ============ Isa 55:8 For my thoughts are not your thoughts, neither are your ways my ways, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 55:8 Lide pa m' pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m'. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:9 ============ Isa 55:9 For as the heavens are higher than the earth, so are my ways higher than your ways, and my thoughts than your thoughts.(KJV-1611) Isa 55:9 Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m' byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m' byen lwen chemen pa nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:10 ============ Isa 55:10 For as the rain cometh down, and the snow from heaven, and returneth not thither, but watereth the earth, and maketh it bring forth and bud, that it may give seed to the sower, and bread to the eater:(KJV-1611) Isa 55:10 Gade! Lapli ak lawouze soti nan syèl la, yo pa tounen kote yo soti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l' donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:11 ============ Isa 55:11 So shall my word be that goeth forth out of my mouth: it shall not return unto me void, but it shall accomplish that which I please, and it shall prosper in the thing whereto I sent it.(KJV-1611) Isa 55:11 Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a.(Creole-HT) ======= Isaiah 55:12 ============ Isa 55:12 For ye shall go out with joy, and be led forth with peace: the mountains and the hills shall break forth before you into singing, and all the trees of the field shall clap their hands.(KJV-1611) Isa 55:12 N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 55:13 ============ Isa 55:13 Instead of the thorn shall come up the fir tree, and instead of the brier shall come up the myrtle tree: and it shall be to the LORD for a name, for an everlasting sign that shall not be cut off.(KJV-1611) Isa 55:13 Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Seyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pesonn p'ap ka detwi.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:1 ============ Isa 56:1 Thus saith the LORD, Keep ye judgment, and do justice: for my salvation is near to come, and my righteousness to be revealed.(KJV-1611) Isa 56:1 Men sa Seyè a di pèp li a: -Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:2 ============ Isa 56:2 Blessed is the man that doeth this, and the son of man that layeth hold on it; that keepeth the sabbath from polluting it, and keepeth his hand from doing any evil.(KJV-1611) Isa 56:2 benediksyon pou moun ki fè sa m' di yo fè a epi ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men l' nan ankenn movezak.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:3 ============ Isa 56:3 Neither let the son of the stranger, that hath joined himself to the LORD, speak, saying, The LORD hath utterly separated me from his people: neither let the eunuch say, Behold, I am a dry tree.(KJV-1611) Isa 56:3 Yon moun lòt nasyon ki va kole kò l' ak pèp Seyè a pa fèt pou di: Seyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a. Yon moun ki chatre pa dwe janm di: Se yon vye pyebwa chèch mwen ye, mwen pa ka fè pati pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:4 ============ Isa 56:4 For thus saith the LORD unto the eunuchs that keep my sabbaths, and choose the things that please me, and take hold of my covenant;(KJV-1611) Isa 56:4 Men sa Seyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l' fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm,(Creole-HT) ======= Isaiah 56:5 ============ Isa 56:5 Even unto them will I give in mine house and within my walls a place and a name better than of sons and of daughters: I will give them an everlasting name, that shall not be cut off.(KJV-1611) Isa 56:5 m'ap fè yo chonje l' nan tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:6 ============ Isa 56:6 Also the sons of the stranger, that join themselves to the LORD, to serve him, and to love the name of the LORD, to be his servants, every one that keepeth the sabbath from polluting it, and taketh hold of my covenant;(KJV-1611) Isa 56:6 Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Seyè a pou yo sèvi l', pou yo renmen l' tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l' epi ki kenbe kontra m' lan fèm,(Creole-HT) ======= Isaiah 56:7 ============ Isa 56:7 Even them will I bring to my holy mountain, and make them joyful in my house of prayer: their burnt offerings and their sacrifices shall be accepted upon mine altar; for mine house shall be called an house of prayer for all people.(KJV-1611) Isa 56:7 m'ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:8 ============ Isa 56:8 The Lord GOD, which gathereth the outcasts of Israel saith, Yet will I gather others to him, beside those that are gathered unto him.(KJV-1611) Isa 56:8 Men sa Seyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:9 ============ Isa 56:9 All ye beasts of the field, come to devour, yea, all ye beasts in the forest.(KJV-1611) Isa 56:9 Seyè a rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:10 ============ Isa 56:10 His watchmen are blind: they are all ignorant, they are all dumb dogs, they cannot bark; sleeping, lying down, loving to slumber.(KJV-1611) Isa 56:10 Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:11 ============ Isa 56:11 Yea, they are greedy dogs which can never have enough, and they are shepherds that cannot understand: they all look to their own way, every one for his gain, from his quarter.(KJV-1611) Isa 56:11 Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.(Creole-HT) ======= Isaiah 56:12 ============ Isa 56:12 Come ye, say they, I will fetch wine, and we will fill ourselves with strong drink; and to morrow shall be as this day, and much more abundant.(KJV-1611) Isa 56:12 Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:1 ============ Isa 57:1 The righteous perisheth, and no man layeth it to heart: and merciful men are taken away, none considering that the righteous is taken away from the evil to come.(KJV-1611) Isa 57:1 Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:2 ============ Isa 57:2 He shall enter into peace: they shall rest in their beds, each one walking in his uprightness.(KJV-1611) Isa 57:2 Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:3 ============ Isa 57:3 But draw near hither, ye sons of the sorceress, the seed of the adulterer and the whore.(KJV-1611) Isa 57:3 Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:4 ============ Isa 57:4 Against whom do ye sport yourselves? against whom make ye a wide mouth, and draw out the tongue? are ye not children of transgression, a seed of falsehood.(KJV-1611) Isa 57:4 Ki moun n'ap pase nan betiz la a? Ki moun n'ap pale mal konsa? Sou ki moun n'ap fè grimas konsa? Se yon bann moun ki pa janm kenbe pawòl yo, yon bann moun k'ap bay manti nou ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:5 ============ Isa 57:5 Enflaming yourselves with idols under every green tree, slaying the children in the valleys under the clifts of the rocks?(KJV-1611) Isa 57:5 N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:6 ============ Isa 57:6 Among the smooth stones of the stream is thy portion; they, they are thy lot: even to them hast thou poured a drink offering, thou hast offered a meat offering. Should I receive comfort in these?(KJV-1611) Isa 57:6 Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m' plezi!(Creole-HT) ======= Isaiah 57:7 ============ Isa 57:7 Upon a lofty and high mountain hast thou set thy bed: even thither wentest thou up to offer sacrifice.(KJV-1611) Isa 57:7 Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:8 ============ Isa 57:8 Behind the doors also and the posts hast thou set up thy remembrance: for thou hast discovered thyself to another than me, and art gone up; thou hast enlarged thy bed, and made thee a covenant with them; thou lovedst their bed where thou sawest it.(KJV-1611) Isa 57:8 Nou mete wòch zidòl nou yo dèyè pòtay nou, nan papòt lakay nou. Nou vire do ban mwen, nou mete nou toutouni, nou moute sou gwo kabann byen laj nou, nou kouche ak medam, chwal zidòl yo, nou peye pou sa. Nou pran kont plezi nou ak je nou kole sou wòch zidòl yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:9 ============ Isa 57:9 And thou wentest to the king with ointment, and didst increase thy perfumes, and didst send thy messengers far off, and didst debase thyself even unto hell.(KJV-1611) Isa 57:9 Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:10 ============ Isa 57:10 Thou art wearied in the greatness of thy way; yet saidst thou not, There is no hope: thou hast found the life of thine hand; therefore thou wast not grieved.(KJV-1611) Isa 57:10 Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:11 ============ Isa 57:11 And of whom hast thou been afraid or feared, that thou hast lied, and hast not remembered me, nor laid it to thy heart? have not I held my peace even of old, and thou fearest me not?(KJV-1611) Isa 57:11 Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?(Creole-HT) ======= Isaiah 57:12 ============ Isa 57:12 I will declare thy righteousness, and thy works; for they shall not profit thee.(KJV-1611) Isa 57:12 M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:13 ============ Isa 57:13 When thou criest, let thy companies deliver thee; but the wind shall carry them all away; vanity shall take them: but he that putteth his trust in me shall possess the land, and shall inherit my holy mountain;(KJV-1611) Isa 57:13 Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:14 ============ Isa 57:14 And shall say, Cast ye up, cast ye up, prepare the way, take up the stumblingblock out of the way of my people.(KJV-1611) Isa 57:14 Lè sa a, Seyè a di: -Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranblè. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:15 ============ Isa 57:15 For thus saith the high and lofty One that inhabiteth eternity, whose name is Holy; I dwell in the high and holy place, with him also that is of a contrite and humble spirit, to revive the spirit of the humble, and to revive the heart of the contrite ones.(KJV-1611) Isa 57:15 Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:16 ============ Isa 57:16 For I will not contend for ever, neither will I be always wroth: for the spirit should fail before me, and the souls which I have made.(KJV-1611) Isa 57:16 Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:17 ============ Isa 57:17 For the iniquity of his covetousness was I wroth, and smote him: I hid me, and was wroth, and he went on frowardly in the way of his heart.(KJV-1611) Isa 57:17 Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:18 ============ Isa 57:18 I have seen his ways, and will heal him: I will lead him also, and restore comforts unto him and to his mourners.(KJV-1611) Isa 57:18 Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m' mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouraj sa ki nan lapenn yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:19 ============ Isa 57:19 I create the fruit of the lips; Peace, peace to him that is far off, and to him that is near, saith the LORD; and I will heal him.(KJV-1611) Isa 57:19 M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:20 ============ Isa 57:20 But the wicked are like the troubled sea, when it cannot rest, whose waters cast up mire and dirt.(KJV-1611) Isa 57:20 Men, mechan yo tankou lanmè ki boulvèse. Lanm lanmè yo ap bat san rete, y'ap jete kras ak labou sou rivaj la.(Creole-HT) ======= Isaiah 57:21 ============ Isa 57:21 There is no peace, saith my God, to the wicked.(KJV-1611) Isa 57:21 Bondye mwen an di: Pa gen kè poze pou mechan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:1 ============ Isa 58:1 Cry aloud, spare not, lift up thy voice like a trumpet, and shew my people their transgression, and the house of Jacob their sins.(KJV-1611) Isa 58:1 Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!(Creole-HT) ======= Isaiah 58:2 ============ Isa 58:2 Yet they seek me daily, and delight to know my ways, as a nation that did righteousness, and forsook not the ordinance of their God: they ask of me the ordinances of justice; they take delight in approaching to God.(KJV-1611) Isa 58:2 Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:3 ============ Isa 58:3 Wherefore have we fasted, say they, and thou seest not? wherefore have we afflicted our soul, and thou takest no knowledge? Behold, in the day of your fast ye find pleasure, and exact all your labours.(KJV-1611) Isa 58:3 Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:4 ============ Isa 58:4 Behold, ye fast for strife and debate, and to smite with the fist of wickedness: ye shall not fast as ye do this day, to make your voice to be heard on high.(KJV-1611) Isa 58:4 Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l' si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:5 ============ Isa 58:5 Is it such a fast that I have chosen? a day for a man to afflict his soul? is it to bow down his head as a bulrush, and to spread sackcloth and ashes under him? wilt thou call this a fast, and an acceptable day to the LORD?(KJV-1611) Isa 58:5 Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn sa a? Se sa nou rele yon jou n'ap pran lapenn pou sa nou fè ki mal? Fè jèn pou nou, se bese tèt nou jouk atè tankou wozo van ap pliye, se kouche plat atè sou sak nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele fè jèn? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?(Creole-HT) ======= Isaiah 58:6 ============ Isa 58:6 Is not this the fast that I have chosen? to loose the bands of wickedness, to undo the heavy burdens, and to let the oppressed go free, and that ye break every yoke?(KJV-1611) Isa 58:6 Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:7 ============ Isa 58:7 Is it not to deal thy bread to the hungry, and that thou bring the poor that are cast out to thy house? when thou seest the naked, that thou cover him; and that thou hide not thyself from thine own flesh?(KJV-1611) Isa 58:7 Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:8 ============ Isa 58:8 Then shall thy light break forth as the morning, and thine health shall spring forth speedily: and thy righteousness shall go before thee; the glory of the LORD shall be thy rereward.(KJV-1611) Isa 58:8 Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:9 ============ Isa 58:9 Then shalt thou call, and the LORD shall answer; thou shalt cry, and he shall say, Here I am. If thou take away from the midst of thee the yoke, the putting forth of the finger, and speaking vanity;(KJV-1611) Isa 58:9 Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,(Creole-HT) ======= Isaiah 58:10 ============ Isa 58:10 And if thou draw out thy soul to the hungry, and satisfy the afflicted soul; then shall thy light rise in obscurity, and thy darkness be as the noon day:(KJV-1611) Isa 58:10 si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:11 ============ Isa 58:11 And the LORD shall guide thee continually, and satisfy thy soul in drought, and make fat thy bones: and thou shalt be like a watered garden, and like a spring of water, whose waters fail not.(KJV-1611) Isa 58:11 Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:12 ============ Isa 58:12 And they that shall be of thee shall build the old waste places: thou shalt raise up the foundations of many generations; and thou shalt be called, The repairer of the breach, The restorer of paths to dwell in.(KJV-1611) Isa 58:12 N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 58:13 ============ Isa 58:13 If thou turn away thy foot from the sabbath, from doing thy pleasure on my holy day; and call the sabbath a delight, the holy of the LORD, honourable; and shalt honour him, not doing thine own ways, nor finding thine own pleasure, nor speaking thine own words:(KJV-1611) Isa 58:13 Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Seyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,(Creole-HT) ======= Isaiah 58:14 ============ Isa 58:14 Then shalt thou delight thyself in the LORD; and I will cause thee to ride upon the high places of the earth, and feed thee with the heritage of Jacob thy father: for the mouth of the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Isa 58:14 lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 59:1 ============ Isa 59:1 Behold, the LORD's hand is not shortened, that it cannot save; neither his ear heavy, that it cannot hear:(KJV-1611) Isa 59:1 Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:2 ============ Isa 59:2 But your iniquities have separated between you and your God, and your sins have hid his face from you, that he will not hear.(KJV-1611) Isa 59:2 Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:3 ============ Isa 59:3 For your hands are defiled with blood, and your fingers with iniquity; your lips have spoken lies, your tongue hath muttered perverseness.(KJV-1611) Isa 59:3 San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:4 ============ Isa 59:4 None calleth for justice, nor any pleadeth for truth: they trust in vanity, and speak lies; they conceive mischief, and bring forth iniquity.(KJV-1611) Isa 59:4 Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:5 ============ Isa 59:5 They hatch cockatrice' eggs, and weave the spider's web: he that eateth of their eggs dieth, and that which is crushed breaketh out into a viper.(KJV-1611) Isa 59:5 Move plan y'ap fè yo tankou pwazon. Si ou pran ladan yo nanpwen rechap. Si ou rive kraze yon move plan y'ap fè, y'ap pare yonn ki pi rèd pou ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:6 ============ Isa 59:6 Their webs shall not become garments, neither shall they cover themselves with their works: their works are works of iniquity, and the act of violence is in their hands.(KJV-1611) Isa 59:6 Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:7 ============ Isa 59:7 Their feet run to evil, and they make haste to shed innocent blood: their thoughts are thoughts of iniquity; wasting and destruction are in their paths.(KJV-1611) Isa 59:7 Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:8 ============ Isa 59:8 The way of peace they know not; and there is no judgment in their goings: they have made them crooked paths: whosoever goeth therein shall not know peace.(KJV-1611) Isa 59:8 Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:9 ============ Isa 59:9 Therefore is judgment far from us, neither doth justice overtake us: we wait for light, but behold obscurity; for brightness, but we walk in darkness.(KJV-1611) Isa 59:9 Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:10 ============ Isa 59:10 We grope for the wall like the blind, and we grope as if we had no eyes: we stumble at noon day as in the night; we are in desolate places as dead men.(KJV-1611) Isa 59:10 N'ap tatonnen tankou avèg k'ap chache wout, tankou moun je pete. N'ap bite gwo midi tankou si nou t'ap mache solèy kouche. San nou pa malad, nou tankou moun ki deja nan peyi san chapo.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:11 ============ Isa 59:11 We roar all like bears, and mourn sore like doves: we look for judgment, but there is none; for salvation, but it is far off from us.(KJV-1611) Isa 59:11 N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm!(Creole-HT) ======= Isaiah 59:12 ============ Isa 59:12 For our transgressions are multiplied before thee, and our sins testify against us: for our transgressions are with us; and as for our iniquities, we know them;(KJV-1611) Isa 59:12 Seyè, se vre wi, nou te fè anpil peche kont ou! Koulye a, se peche nou yo k'ap kale nou. Yo la devan je nou. Nou rekonèt nou te fè yo vre.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:13 ============ Isa 59:13 In transgressing and lying against the LORD, and departing away from our God, speaking oppression and revolt, conceiving and uttering from the heart words of falsehood.(KJV-1611) Isa 59:13 Nou te vire do bay Seyè a, nou voye l' jete. Nou derefize koute l'. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:14 ============ Isa 59:14 And judgment is turned away backward, and justice standeth afar off: for truth is fallen in the street, and equity cannot enter.(KJV-1611) Isa 59:14 Se poutèt sa, nou pa t' bay chans pou yo defann nou. Pesonn pa ka pwoche vin delivre nou. Nan tout lavil la ou pa konn kote ou gad ak pesonn. Pesonn pa mache dwat.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:15 ============ Isa 59:15 Yea, truth faileth; and he that departeth from evil maketh himself a prey: and the LORD saw it, and it displeased him that there was no judgment.(KJV-1611) Isa 59:15 Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:16 ============ Isa 59:16 And he saw that there was no man, and wondered that there was no intercessor: therefore his arm brought salvation unto him; and his righteousness, it sustained him.(KJV-1611) Isa 59:16 Li sezi wè pesonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouraj li. Li ba l' men, li pran defans li.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:17 ============ Isa 59:17 For he put on righteousness as a breastplate, and an helmet of salvation upon his head; and he put on the garments of vengeance for clothing, and was clad with zeal as a cloak.(KJV-1611) Isa 59:17 Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:18 ============ Isa 59:18 According to their deeds, accordingly he will repay, fury to his adversaries, recompence to his enemies; to the islands he will repay recompence.(KJV-1611) Isa 59:18 L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:19 ============ Isa 59:19 So shall they fear the name of the LORD from the west, and his glory from the rising of the sun. When the enemy shall come in like a flood, the Spirit of the LORD shall lift up a standard against him.(KJV-1611) Isa 59:19 Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:20 ============ Isa 59:20 And the Redeemer shall come to Zion, and unto them that turn from transgression in Jacob, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 59:20 M'ap vin sou mòn Siyon an pou m' delivre tout moun fanmi Jakòb yo ki va vire do bay peche yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 59:21 ============ Isa 59:21 As for me, this is my covenant with them, saith the LORD; My spirit that is upon thee, and my words which I have put in thy mouth, shall not depart out of thy mouth, nor out of the mouth of thy seed, nor out of the mouth of thy seed's seed, saith the LORD, from henceforth and for ever.(KJV-1611) Isa 59:21 Seyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m' sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:1 ============ Isa 60:1 Arise, shine; for thy light is come, and the glory of the LORD is risen upon thee.(KJV-1611) Isa 60:1 Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:2 ============ Isa 60:2 For, behold, the darkness shall cover the earth, and gross darkness the people: but the LORD shall arise upon thee, and his glory shall be seen upon thee.(KJV-1611) Isa 60:2 Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 60:3 ============ Isa 60:3 And the Gentiles shall come to thy light, and kings to the brightness of thy rising.(KJV-1611) Isa 60:3 Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:4 ============ Isa 60:4 Lift up thine eyes round about, and see: all they gather themselves together, they come to thee: thy sons shall come from far, and thy daughters shall be nursed at thy side.(KJV-1611) Isa 60:4 Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:5 ============ Isa 60:5 Then thou shalt see, and flow together, and thine heart shall fear, and be enlarged; because the abundance of the sea shall be converted unto thee, the forces of the Gentiles shall come unto thee.(KJV-1611) Isa 60:5 Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:6 ============ Isa 60:6 The multitude of camels shall cover thee, the dromedaries of Midian and Ephah; all they from Sheba shall come: they shall bring gold and incense; and they shall shew forth the praises of the LORD.(KJV-1611) Isa 60:6 Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:7 ============ Isa 60:7 All the flocks of Kedar shall be gathered together unto thee, the rams of Nebaioth shall minister unto thee: they shall come up with acceptance on mine altar, and I will glorify the house of my glory.(KJV-1611) Isa 60:7 Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. N'a gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. N'a ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m' plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:8 ============ Isa 60:8 Who are these that fly as a cloud, and as the doves to their windows?(KJV-1611) Isa 60:8 Ki tout moun sa yo? Y'ap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon k'ap tounen vin nan kalòj yo?(Creole-HT) ======= Isaiah 60:9 ============ Isa 60:9 Surely the isles shall wait for me, and the ships of Tarshish first, to bring thy sons from far, their silver and their gold with them, unto the name of the LORD thy God, and to the Holy One of Israel, because he hath glorified thee.(KJV-1611) Isa 60:9 Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:10 ============ Isa 60:10 And the sons of strangers shall build up thy walls, and their kings shall minister unto thee: for in my wrath I smote thee, but in my favour have I had mercy on thee.(KJV-1611) Isa 60:10 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:11 ============ Isa 60:11 Therefore thy gates shall be open continually; they shall not be shut day nor night; that men may bring unto thee the forces of the Gentiles, and that their kings may be brought.(KJV-1611) Isa 60:11 Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:12 ============ Isa 60:12 For the nation and kingdom that will not serve thee shall perish; yea, those nations shall be utterly wasted.(KJV-1611) Isa 60:12 Paske y'ap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Y'ap kraze peyi sa yo nèt ale.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:13 ============ Isa 60:13 The glory of Lebanon shall come unto thee, the fir tree, the pine tree, and the box together, to beautify the place of my sanctuary; and I will make the place of my feet glorious.(KJV-1611) Isa 60:13 Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:14 ============ Isa 60:14 The sons also of them that afflicted thee shall come bending unto thee; and all they that despised thee shall bow themselves down at the soles of thy feet; and they shall call thee; The city of the LORD, The Zion of the Holy One of Israel.(KJV-1611) Isa 60:14 Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:15 ============ Isa 60:15 Whereas thou has been forsaken and hated, so that no man went through thee, I will make thee an eternal excellency, a joy of many generations.(KJV-1611) Isa 60:15 Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:16 ============ Isa 60:16 Thou shalt also suck the milk of the Gentiles, and shalt suck the breast of kings: and thou shalt know that I the LORD am thy Saviour and thy Redeemer, the mighty One of Jacob.(KJV-1611) Isa 60:16 Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris k'ap bay pitit li tete. Lè sa a n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:17 ============ Isa 60:17 For brass I will bring gold, and for iron I will bring silver, and for wood brass, and for stones iron: I will also make thy officers peace, and thine exactors righteousness.(KJV-1611) Isa 60:17 M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:18 ============ Isa 60:18 Violence shall no more be heard in thy land, wasting nor destruction within thy borders; but thou shalt call thy walls Salvation, and thy gates Praise.(KJV-1611) Isa 60:18 Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:19 ============ Isa 60:19 The sun shall be no more thy light by day; neither for brightness shall the moon give light unto thee: but the LORD shall be unto thee an everlasting light, and thy God thy glory.(KJV-1611) Isa 60:19 Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:20 ============ Isa 60:20 Thy sun shall no more go down; neither shall thy moon withdraw itself: for the LORD shall be thine everlasting light, and the days of thy mourning shall be ended.(KJV-1611) Isa 60:20 Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:21 ============ Isa 60:21 Thy people also shall be all righteous: they shall inherit the land for ever, the branch of my planting, the work of my hands, that I may be glorified.(KJV-1611) Isa 60:21 Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 60:22 ============ Isa 60:22 A little one shall become a thousand, and a small one a strong nation: I the LORD will hasten it in his time.(KJV-1611) Isa 60:22 Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:1 ============ Isa 61:1 The Spirit of the Lord GOD is upon me; because the LORD hath anointed me to preach good tidings unto the meek; he hath sent me to bind up the brokenhearted, to proclaim liberty to the captives, and the opening of the prison to them that are bound;(KJV-1611) Isa 61:1 Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:2 ============ Isa 61:2 To proclaim the acceptable year of the LORD, and the day of vengeance of our God; to comfort all that mourn;(KJV-1611) Isa 61:2 Li voye m' anonse lè a rive pou Seyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m' ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,(Creole-HT) ======= Isaiah 61:3 ============ Isa 61:3 To appoint unto them that mourn in Zion, to give unto them beauty for ashes, the oil of joy for mourning, the garment of praise for the spirit of heaviness; that they might be called trees of righteousness, the planting of the LORD, that he might be glorified.(KJV-1611) Isa 61:3 pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:4 ============ Isa 61:4 And they shall build the old wastes, they shall raise up the former desolations, and they shall repair the waste cities, the desolations of many generations.(KJV-1611) Isa 61:4 Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:5 ============ Isa 61:5 And strangers shall stand and feed your flocks, and the sons of the alien shall be your plowmen and your vinedressers.(KJV-1611) Isa 61:5 Se moun lòt nasyon ki va pran swen mouton nou yo. Se moun vini ki va travay jaden nou yo, ki va okipe jaden rezen nou yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:6 ============ Isa 61:6 But ye shall be named the Priests of the LORD: men shall call you the Ministers of our God: ye shall eat the riches of the Gentiles, and in their glory shall ye boast yourselves.(KJV-1611) Isa 61:6 Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:7 ============ Isa 61:7 For your shame ye shall have double; and for confusion they shall rejoice in their portion: therefore in their land they shall possess the double: everlasting joy shall be unto them.(KJV-1611) Isa 61:7 Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:8 ============ Isa 61:8 For I the LORD love judgment, I hate robbery for burnt offering; and I will direct their work in truth, and I will make an everlasting covenant with them.(KJV-1611) Isa 61:8 Seyè a di: -Mwen menm, Seyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:9 ============ Isa 61:9 And their seed shall be known among the Gentiles, and their offspring among the people: all that see them shall acknowledge them, that they are the seed which the LORD hath blessed.(KJV-1611) Isa 61:9 Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:10 ============ Isa 61:10 I will greatly rejoice in the LORD, my soul shall be joyful in my God; for he hath clothed me with the garments of salvation, he hath covered me with the robe of righteousness, as a bridegroom decketh himself with ornaments, and as a bride adorneth herself with her jewels.(KJV-1611) Isa 61:10 Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.(Creole-HT) ======= Isaiah 61:11 ============ Isa 61:11 For as the earth bringeth forth her bud, and as the garden causeth the things that are sown in it to spring forth; so the Lord GOD will cause righteousness and praise to spring forth before all the nations.(KJV-1611) Isa 61:11 Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:1 ============ Isa 62:1 For Zion's sake will I not hold my peace, and for Jerusalem's sake I will not rest, until the righteousness thereof go forth as brightness, and the salvation thereof as a lamp that burneth.(KJV-1611) Isa 62:1 Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:2 ============ Isa 62:2 And the Gentiles shall see thy righteousness, and all kings thy glory: and thou shalt be called by a new name, which the mouth of the LORD shall name.(KJV-1611) Isa 62:2 Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y'a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:3 ============ Isa 62:3 Thou shalt also be a crown of glory in the hand of the LORD, and a royal diadem in the hand of thy God.(KJV-1611) Isa 62:3 W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:4 ============ Isa 62:4 Thou shalt no more be termed Forsaken; neither shall thy land any more be termed Desolate: but thou shalt be called Hephzibah, and thy land Beulah: for the LORD delighteth in thee, and thy land shall be married.(KJV-1611) Isa 62:4 Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:5 ============ Isa 62:5 For as a young man marrieth a virgin, so shall thy sons marry thee: and as the bridegroom rejoiceth over the bride, so shall thy God rejoice over thee.(KJV-1611) Isa 62:5 Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou(Creole-HT) ======= Isaiah 62:6 ============ Isa 62:6 I have set watchmen upon thy walls, O Jerusalem, which shall never hold their peace day nor night: ye that make mention of the LORD, keep not silence,(KJV-1611) Isa 62:6 Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:7 ============ Isa 62:7 And give him no rest, till he establish, and till he make Jerusalem a praise in the earth.(KJV-1611) Isa 62:7 Se pou yo kenbe l' kout jouk l'a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:8 ============ Isa 62:8 The LORD hath sworn by his right hand, and by the arm of his strength, Surely I will no more give thy corn to be meat for thine enemies; and the sons of the stranger shall not drink thy wine, for the which thou hast laboured:(KJV-1611) Isa 62:8 Seyè a fè sèman, l'ap kenbe l' avèk fòs ponyèt li. -Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje l'. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:9 ============ Isa 62:9 But they that have gathered it shall eat it, and praise the LORD; and they that have brought it together shall drink it in the courts of my holiness.(KJV-1611) Isa 62:9 Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:10 ============ Isa 62:10 Go through, go through the gates; prepare ye the way of the people; cast up, cast up the highway; gather out the stones; lift up a standard for the people.(KJV-1611) Isa 62:10 Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!(Creole-HT) ======= Isaiah 62:11 ============ Isa 62:11 Behold, the LORD hath proclaimed unto the end of the world, Say ye to the daughter of Zion, Behold, thy salvation cometh; behold, his reward is with him, and his work before him.(KJV-1611) Isa 62:11 Seyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: -Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L'ap mennen moun li sove yo avè l'. Y'ap mache devan l'. Se rekonpans li, se rezilta travay li.(Creole-HT) ======= Isaiah 62:12 ============ Isa 62:12 And they shall call them, The holy people, The redeemed of the LORD: and thou shalt be called, Sought out, A city not forsaken.(KJV-1611) Isa 62:12 Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:1 ============ Isa 63:1 Who is this that cometh from Edom, with dyed garments from Bozrah? this that is glorious in his apparel, travelling in the greatness of his strength? I that speak in righteousness, mighty to save.(KJV-1611) Isa 63:1 Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:2 ============ Isa 63:2 Wherefore art thou red in thine apparel, and thy garments like him that treadeth in the winefat?(KJV-1611) Isa 63:2 Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k'ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen?(Creole-HT) ======= Isaiah 63:3 ============ Isa 63:3 I have trodden the winepress alone; and of the people there was none with me: for I will tread them in mine anger, and trample them in my fury; and their blood shall be sprinkled upon my garments, and I will stain all my raiment.(KJV-1611) Isa 63:3 Seyè a reponn: -Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m', tankou rezen nan basen. Pa t' gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m'. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m' pilonnen yo anba pye m' sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:4 ============ Isa 63:4 For the day of vengeance is in mine heart, and the year of my redeemed is come.(KJV-1611) Isa 63:4 Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:5 ============ Isa 63:5 And I looked, and there was none to help; and I wondered that there was none to uphold: therefore mine own arm brought salvation unto me; and my fury, it upheld me.(KJV-1611) Isa 63:5 Lè m' gade, mwen te sezi. Pa t' gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa t' gen pesonn pou ban m' konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:6 ============ Isa 63:6 And I will tread down the people in mine anger, and make them drunk in my fury, and I will bring down their strength to the earth.(KJV-1611) Isa 63:6 Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:7 ============ Isa 63:7 I will mention the lovingkindnesses of the LORD, and the praises of the LORD, according to all that the LORD hath bestowed on us, and the great goodness toward the house of Israel, which he hath bestowed on them according to his mercies, and according to the multitude of his lovingkindnesses.(KJV-1611) Isa 63:7 M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:8 ============ Isa 63:8 For he said, Surely they are my people, children that will not lie: so he was their Saviour.(KJV-1611) Isa 63:8 Seyè a te di se pèp mwen yo ye, m' sèten yo p'ap fè m' wont. Se konsa, li delivre yo(Creole-HT) ======= Isaiah 63:9 ============ Isa 63:9 In all their affliction he was afflicted, and the angel of his presence saved them: in his love and in his pity he redeemed them; and he bare them, and carried them all the days of old.(KJV-1611) Isa 63:9 nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:10 ============ Isa 63:10 But they rebelled, and vexed his holy Spirit: therefore he was turned to be their enemy, and he fought against them.(KJV-1611) Isa 63:10 Men, yo te fè wòklò avè l', yo te fè l' lapenn anpil. Se konsa Seyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:11 ============ Isa 63:11 Then he remembered the days of old, Moses, and his people, saying, Where is he that brought them up out of the sea with the shepherd of his flock? where is he that put his holy Spirit within him?(KJV-1611) Isa 63:11 Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?(Creole-HT) ======= Isaiah 63:12 ============ Isa 63:12 That led them by the right hand of Moses with his glorious arm, dividing the water before them, to make himself an everlasting name?(KJV-1611) Isa 63:12 Kote Bondye ki te kanpe sou bò dwat Moyiz la pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li, lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka toujou chonje sa l' te fè a?(Creole-HT) ======= Isaiah 63:13 ============ Isa 63:13 That led them through the deep, as an horse in the wilderness, that they should not stumble?(KJV-1611) Isa 63:13 Lè Bondye te fè yo mache nan fon lanmè a tankou chwal nan sab dezè, san yo pa janm bite,(Creole-HT) ======= Isaiah 63:14 ============ Isa 63:14 As a beast goeth down into the valley, the Spirit of the LORD caused him to rest: so didst thou lead thy people, to make thyself a glorious name.(KJV-1611) Isa 63:14 tankou bèf k'ap desann nan plenn pou y' al manje, lespri Seyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Seyè a te mache devan pèp li a, pou tout moun te ka toujou nonmen non l' pou jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:15 ============ Isa 63:15 Look down from heaven, and behold from the habitation of thy holiness and of thy glory: where is thy zeal and thy strength, the sounding of thy bowels and of thy mercies toward me? are they restrained?(KJV-1611) Isa 63:15 Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!(Creole-HT) ======= Isaiah 63:16 ============ Isa 63:16 Doubtless thou art our father, though Abraham be ignorant of us, and Israel acknowledge us not: thou, O LORD, art our father, our redeemer; thy name is from everlasting.(KJV-1611) Isa 63:16 Se ou menm ki papa nou. Abraram pa konnen nou. Izrayèl pa rekonèt nou! Se ou menm, Seyè, ki papa nou. Se ou menm ki toujou delivre nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 63:17 ============ Isa 63:17 O LORD, why hast thou made us to err from thy ways, and hardened our heart from thy fear? Return for thy servants' sake, the tribes of thine inheritance.(KJV-1611) Isa 63:17 Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!(Creole-HT) ======= Isaiah 63:18 ============ Isa 63:18 The people of thy holiness have possessed it but a little while: our adversaries have trodden down thy sanctuary.(KJV-1611) Isa 63:18 Nou poko chita, lènmi nou yo te gen tan pran peyi a nan men nou, yo derespekte tanp ou a.(Creole-HT) ======= Isaiah 63:19 ============ Isa 63:19 We are thine: thou never barest rule over them; they were not called by thy name.(KJV-1611) Isa 63:19 Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:1 ============ Isa 64:1 Oh that thou wouldest rend the heavens, that thou wouldest come down, that the mountains might flow down at thy presence,(KJV-1611) Isa 64:1 Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:2 ============ Isa 64:2 As when the melting fire burneth, the fire causeth the waters to boil, to make thy name known to thine adversaries, that the nations may tremble at thy presence!(KJV-1611) Isa 64:2 Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou!(Creole-HT) ======= Isaiah 64:3 ============ Isa 64:3 When thou didst terrible things which we looked not for, thou camest down, the mountains flowed down at thy presence.(KJV-1611) Isa 64:3 Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:4 ============ Isa 64:4 For since the beginning of the world men have not heard, nor perceived by the ear, neither hath the eye seen, O God, beside thee, what he hath prepared for him that waiteth for him.(KJV-1611) Isa 64:4 Pesonn pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:5 ============ Isa 64:5 Thou meetest him that rejoiceth and worketh righteousness, those that remember thee in thy ways: behold, thou art wroth; for we have sinned: in those is continuance, and we shall be saved.(KJV-1611) Isa 64:5 Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pa t' sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:6 ============ Isa 64:6 But we are all as an unclean thing, and all our righteousnesses are as filthy rags; and we all do fade as a leaf; and our iniquities, like the wind, have taken us away.(KJV-1611) Isa 64:6 Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:7 ============ Isa 64:7 And there is none that calleth upon thy name, that stirreth up himself to take hold of thee: for thou hast hid thy face from us, and hast consumed us, because of our iniquities.(KJV-1611) Isa 64:7 Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:8 ============ Isa 64:8 But now, O LORD, thou art our father; we are the clay, and thou our potter; and we all are the work of thy hand.(KJV-1611) Isa 64:8 Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:9 ============ Isa 64:9 Be not wroth very sore, O LORD, neither remember iniquity for ever: behold, see, we beseech thee, we are all thy people.(KJV-1611) Isa 64:9 Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou!(Creole-HT) ======= Isaiah 64:10 ============ Isa 64:10 Thy holy cities are a wilderness, Zion is a wilderness, Jerusalem a desolation.(KJV-1611) Isa 64:10 Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:11 ============ Isa 64:11 Our holy and our beautiful house, where our fathers praised thee, is burned up with fire: and all our pleasant things are laid waste.(KJV-1611) Isa 64:11 Tanp nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze.(Creole-HT) ======= Isaiah 64:12 ============ Isa 64:12 Wilt thou refrain thyself for these things, O LORD? wilt thou hold thy peace, and afflict us very sore?(KJV-1611) Isa 64:12 Seyè, tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?(Creole-HT) ======= Isaiah 65:1 ============ Isa 65:1 I am sought of them that asked not for me; I am found of them that sought me not: I said, Behold me, behold me, unto a nation that was not called by my name.(KJV-1611) Isa 65:1 Seyè a te di: -Mwen te tou pare pou m' te reponn lapriyè pèp mwen an, menm lè yo pa t' lapriyè m'. Mwen te toupre yo, menm lè yo pa t' chache m'. Pèp la pa lapriyè nan pye m', atout mwen te toujou pare pou m' di yo: Men mwen! Men mwen!(Creole-HT) ======= Isaiah 65:2 ============ Isa 65:2 I have spread out my hands all the day unto a rebellious people, which walketh in a way that was not good, after their own thoughts;(KJV-1611) Isa 65:2 Chak jou mwen t'ap lonje men m' bay yon pèp ki t'ap kenbe tèt ak mwen, ki t'ap fè sa ki mal, ki t'ap fè sa yo pito.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:3 ============ Isa 65:3 A people that provoketh me to anger continually to my face; that sacrificeth in gardens, and burneth incense upon altars of brick;(KJV-1611) Isa 65:3 Nan figi m' konsa, yo t'ap plede fè bagay pou fè m' fache. Yo ofri bèt pou touye pou zidòl nan jaden yo, yo boule lansan sou lotèl zidòl yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:4 ============ Isa 65:4 Which remain among the graves, and lodge in the monuments, which eat swine's flesh, and broth of abominable things is in their vessels;(KJV-1611) Isa 65:4 Lannwit, y' al nan simityè ak nan twou wòch pou fè sèvis pou mò ka di yo sa pou yo fè. Yo manje vyann kochon, yo bwè bouyon fèt ak vyann ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:5 ============ Isa 65:5 Which say, Stand by thyself, come not near to me; for I am holier than thou. These are a smoke in my nose, a fire that burneth all the day.(KJV-1611) Isa 65:5 Apre sa, yonn di lòt: Pa pwoche m'. Pa manyen m', paske yo mete m' apa pou Bondye! Non, mwen pa ka sipòte sa y'ap fè a. Sa fè m' move, kòlè mwen tankou yon dife ki p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:6 ============ Isa 65:6 Behold, it is written before me: I will not keep silence, but will recompense, even recompense into their bosom,(KJV-1611) Isa 65:6 Seyè a te di: Men desizyon mwen fin pran nan kè m': Mwen p'ap bay kò m' kanpo toutotan mwen pa pini yo, toutan mwen pa regle yo(Creole-HT) ======= Isaiah 65:7 ============ Isa 65:7 Your iniquities, and the iniquities of your fathers together, saith the LORD, which have burned incense upon the mountains, and blasphemed me upon the hills: therefore will I measure their former work into their bosom.(KJV-1611) Isa 65:7 pou peche yo ak pou peche zansèt yo. Yo te boule lansan pou zidòl sou mòn yo, yo t'ap derespekte m' sou ti bit mòn yo. Se poutèt sa m'ap regle ak yo jan yo merite l' la.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:8 ============ Isa 65:8 Thus saith the LORD, As the new wine is found in the cluster, and one saith, Destroy it not; for a blessing is in it: so will I do for my servants' sakes, that I may not destroy them all.(KJV-1611) Isa 65:8 Men sa Seyè a te di ankò: -Pesonn pa janm voye yon bon grap rezen jete. Okontrè, li sere l' pou fè diven ak li. Konsa tou, mwen p'ap detwi tout pèp la, m'ap sove moun k'ap sèvi m' yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:9 ============ Isa 65:9 And I will bring forth a seed out of Jacob, and out of Judah an inheritor of my mountains: and mine elect shall inherit it, and my servants shall dwell there.(KJV-1611) Isa 65:9 Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:10 ============ Isa 65:10 And Sharon shall be a fold of flocks, and the valley of Achor a place for the herds to lie down in, for my people that have sought me.(KJV-1611) Isa 65:10 Plenn Sawon an pral tounen yon jaden zèb pou mouton m' yo, pou moun k'ap sèvi m' yo. Mwen pral lonje bèf mwen yo, moun ki toujou ap chache fè volonte m' yo, nan fon Akò pou yo ka manje.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:11 ============ Isa 65:11 But ye are they that forsake the LORD, that forget my holy mountain, that prepare a table for that troop, and that furnish the drink offering unto that number.(KJV-1611) Isa 65:11 Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,(Creole-HT) ======= Isaiah 65:12 ============ Isa 65:12 Therefore will I number you to the sword, and ye shall all bow down to the slaughter: because when I called, ye did not answer; when I spake, ye did not hear; but did evil before mine eyes, and did choose that wherein I delighted not.(KJV-1611) Isa 65:12 m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:13 ============ Isa 65:13 Therefore thus saith the Lord GOD, Behold, my servants shall eat, but ye shall be hungry: behold, my servants shall drink, but ye shall be thirsty: behold, my servants shall rejoice, but ye shall be ashamed:(KJV-1611) Isa 65:13 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: -Moun k'ap sèvi m' yo va jwenn kont manje pou yo manje. Men nou menm n'a ret grangou. Sèvitè m' yo va jwenn kont pou yo bwè, nou menm n'ap ret swaf dlo. Sèvitè m' yo va gen kè kontan; men nou menm n'a wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:14 ============ Isa 65:14 Behold, my servants shall sing for joy of heart, but ye shall cry for sorrow of heart, and shall howl for vexation of spirit.(KJV-1611) Isa 65:14 Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:15 ============ Isa 65:15 And ye shall leave your name for a curse unto my chosen: for the Lord GOD shall slay thee, and call his servants by another name:(KJV-1611) Isa 65:15 Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:16 ============ Isa 65:16 That he who blesseth himself in the earth shall bless himself in the God of truth; and he that sweareth in the earth shall swear by the God of truth; because the former troubles are forgotten, and because they are hid from mine eyes.(KJV-1611) Isa 65:16 Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l' nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:17 ============ Isa 65:17 For, behold, I create new heavens and a new earth: and the former shall not be remembered, nor come into mind.(KJV-1611) Isa 65:17 Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pesonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:18 ============ Isa 65:18 But be ye glad and rejoice for ever in that which I create: for, behold, I create Jerusalem a rejoicing, and her people a joy.(KJV-1611) Isa 65:18 Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:19 ============ Isa 65:19 And I will rejoice in Jerusalem, and joy in my people: and the voice of weeping shall be no more heard in her, nor the voice of crying.(KJV-1611) Isa 65:19 Mwen menm m'ap fè fèt pou Jerizalèm, m'ap kontan pou pèp mwen an. P'ap gen kriye ankò nan lavil la! P'ap gen rele mande sekou ankò!(Creole-HT) ======= Isaiah 65:20 ============ Isa 65:20 There shall be no more thence an infant of days, nor an old man that hath not filled his days: for the child shall die an hundred years old; but the sinner being an hundred years old shall be accursed.(KJV-1611) Isa 65:20 Timoun p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon!(Creole-HT) ======= Isaiah 65:21 ============ Isa 65:21 And they shall build houses, and inhabit them; and they shall plant vineyards, and eat the fruit of them.(KJV-1611) Isa 65:21 Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:22 ============ Isa 65:22 They shall not build, and another inhabit; they shall not plant, and another eat: for as the days of a tree are the days of my people, and mine elect shall long enjoy the work of their hands.(KJV-1611) Isa 65:22 Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l'. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:23 ============ Isa 65:23 They shall not labour in vain, nor bring forth for trouble; for they are the seed of the blessed of the LORD, and their offspring with them.(KJV-1611) Isa 65:23 Yo p'ap kraze kò yo travay pou bontan ankò! Travay yo va rapòte yo! Pitit yo p'ap konn sa ki rele malè ankò! M'ap beni yo ansanm ak pitit yo jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:24 ============ Isa 65:24 And it shall come to pass, that before they call, I will answer; and while they are yet speaking, I will hear.(KJV-1611) Isa 65:24 Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gen tan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gen tan ba yo sa yo mande a.(Creole-HT) ======= Isaiah 65:25 ============ Isa 65:25 The wolf and the lamb shall feed together, and the lion shall eat straw like the bullock: and dust shall be the serpent's meat. They shall not hurt nor destroy in all my holy mountain, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 65:25 Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 66:1 ============ Isa 66:1 Thus saith the LORD, The heaven is my throne, and the earth is my footstool: where is the house that ye build unto me? and where is the place of my rest?(KJV-1611) Isa 66:1 Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?(Creole-HT) ======= Isaiah 66:2 ============ Isa 66:2 For all those things hath mine hand made, and all those things have been, saith the LORD: but to this man will I look, even to him that is poor and of a contrite spirit, and trembleth at my word.(KJV-1611) Isa 66:2 Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Seyè a menm ki di sa. Moun ki fè m' plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki règrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m' pale.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:3 ============ Isa 66:3 He that killeth an ox is as if he slew a man; he that sacrificeth a lamb, as if he cut off a dog's neck; he that offereth an oblation, as if he offered swine's blood; he that burneth incense, as if he blessed an idol. Yea, they have chosen their own ways, and their soul delighteth in their abominations.(KJV-1611) Isa 66:3 Pèp la fè sa yo pito. Yo touye bèf pou mwen jòdi, denmen yo touye moun pou zidòl yo. Yo ofri ti mouton pou yo touye pou mwen jòdi, denmen yo kase kou chen pou zidòl. Yo fè ofrann grenn jaden yo jòdi pou mwen, denmen yo fè ofrann san kochon pou zidòl. Yo boule lansan sou lotèl mwen an pou m' pa janm bliye moun ki fè ofrann lan jòdi, denmen y'ap fè sèvis pou di Satan mèsi. Yo pran plezi nan fè zafè pa yo jan yo vle. Yo kontan fè vye bagay lèd y'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:4 ============ Isa 66:4 I also will choose their delusions, and will bring their fears upon them; because when I called, none did answer; when I spake, they did not hear: but they did evil before mine eyes, and chose that in which I delighted not.(KJV-1611) Isa 66:4 Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:5 ============ Isa 66:5 Hear the word of the LORD, ye that tremble at his word; Your brethren that hated you, that cast you out for my name's sake, said, Let the LORD be glorified: but he shall appear to your joy, and they shall be ashamed.(KJV-1611) Isa 66:5 Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:6 ============ Isa 66:6 A voice of noise from the city, a voice from the temple, a voice of the LORD that rendereth recompence to his enemies.(KJV-1611) Isa 66:6 Koute! Gwo bri nou tande k'ap fèt nan lavil la, gwo vwa nou tande k'ap pale nan tanp lan, se bri Seyè a k'ap tire revanj li sou lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:7 ============ Isa 66:7 Before she travailed, she brought forth; before her pain came, she was delivered of a man child.(KJV-1611) Isa 66:7 Lavil Bondye a tankou yon fanm ki akouche anvan menm li gen tranche. Li gen tan fè yon ti gason anvan menm li santi doulè.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:8 ============ Isa 66:8 Who hath heard such a thing? who hath seen such things? Shall the earth be made to bring forth in one day? or shall a nation be born at once? for as soon as Zion travailed, she brought forth her children.(KJV-1611) Isa 66:8 Ki moun ki janm tande koze konsa? Ki moun ki janm wè bagay konsa? Eske yon sèl jou kont pou fè tout yon nasyon? Eske lapoula yo ka fè tout yon nasyon? Mòn Siyon an p'ap soufri anpil anvan nasyon an fèt.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:9 ============ Isa 66:9 Shall I bring to the birth, and not cause to bring forth? saith the LORD: shall I cause to bring forth, and shut the womb? saith thy God.(KJV-1611) Isa 66:9 Eske mwen ka fè yon fanm kase lèzo, lèfini pou m' pa kite l' akouche? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou l' lèfini pou m' pa kite l' fèt? Se Bondye ou la menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Isaiah 66:10 ============ Isa 66:10 Rejoice ye with Jerusalem, and be glad with her, all ye that love her: rejoice for joy with her, all ye that mourn for her:(KJV-1611) Isa 66:10 Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!(Creole-HT) ======= Isaiah 66:11 ============ Isa 66:11 That ye may suck, and be satisfied with the breasts of her consolations; that ye may milk out, and be delighted with the abundance of her glory.(KJV-1611) Isa 66:11 Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:12 ============ Isa 66:12 For thus saith the LORD, Behold, I will extend peace to her like a river, and the glory of the Gentiles like a flowing stream: then shall ye suck, ye shall be borne upon her sides, and be dandled upon her knees.(KJV-1611) Isa 66:12 Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:13 ============ Isa 66:13 As one whom his mother comforteth, so will I comfort you; and ye shall be comforted in Jerusalem.(KJV-1611) Isa 66:13 Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:14 ============ Isa 66:14 And when ye see this, your heart shall rejoice, and your bones shall flourish like an herb: and the hand of the LORD shall be known toward his servants, and his indignation toward his enemies.(KJV-1611) Isa 66:14 Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:15 ============ Isa 66:15 For, behold, the LORD will come with fire, and with his chariots like a whirlwind, to render his anger with fury, and his rebuke with flames of fire.(KJV-1611) Isa 66:15 Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:16 ============ Isa 66:16 For by fire and by his sword will the LORD plead with all flesh: and the slain of the LORD shall be many.(KJV-1611) Isa 66:16 Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:17 ============ Isa 66:17 They that sanctify themselves, and purify themselves in the gardens behind one tree in the midst, eating swine's flesh, and the abomination, and the mouse, shall be consumed together, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 66:17 Seyè a di ankò: -Talè konsa sa pral fini pou moun k'ap fè sèvis pou mete kò yo nan bon kondisyon anvan y'a l' fè pwosesyon pou zidòl nan jaden yo, pou moun k'ap manje vyann kochon, vyann sourit ak lòt kalite manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:18 ============ Isa 66:18 For I know their works and their thoughts: it shall come, that I will gather all nations and tongues; and they shall come, and see my glory.(KJV-1611) Isa 66:18 Mwen konnen sa y'ap fè, mwen konnen sa ki nan lide yo. Mwen menm, m'ap vin sanble pèp tout nasyon yo, pèp ki pale tout kalite lang sou latè. Y'a vini, y'a wè bèl pouvwa mwen.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:19 ============ Isa 66:19 And I will set a sign among them, and I will send those that escape of them unto the nations, to Tarshish, Pul, and Lud, that draw the bow, to Tubal, and Javan, to the isles afar off, that have not heard my fame, neither have seen my glory; and they shall declare my glory among the Gentiles.(KJV-1611) Isa 66:19 M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:20 ============ Isa 66:20 And they shall bring all your brethren for an offering unto the LORD out of all nations upon horses, and in chariots, and in litters, and upon mules, and upon swift beasts, to my holy mountain Jerusalem, saith the LORD, as the children of Israel bring an offering in a clean vessel into the house of the LORD.(KJV-1611) Isa 66:20 Y'a pran tout frè parèy nou yo, y'a mennen yo tounen soti nan peyi sa yo, tankou yon ofrann pou mwen. Y'ap mennen yo tounen sou mòn ki apa pou mwen an, lavil Jerizalèm, sou chwal, sou milèt, sou chamo, nan kabwèt kouvri, nan cha, menm jan moun pèp Izrayèl yo konn pote grenn jaden pou ofri nan tanp lan nan veso yo mete nan bon kondisyon espre pou sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:21 ============ Isa 66:21 And I will also take of them for priests and for Levites, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 66:21 M'a pran kèk moun nan moun sa yo pou fè travay prèt ak travay moun Levi yo. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:22 ============ Isa 66:22 For as the new heavens and the new earth, which I will make, shall remain before me, saith the LORD, so shall your seed and your name remain.(KJV-1611) Isa 66:22 Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m', konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:23 ============ Isa 66:23 And it shall come to pass, that from one new moon to another, and from one sabbath to another, shall all flesh come to worship before me, saith the LORD.(KJV-1611) Isa 66:23 Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Isaiah 66:24 ============ Isa 66:24 And they shall go forth, and look upon the carcases of the men that have transgressed against me: for their worm shall not die, neither shall their fire be quenched; and they shall be an abhorring unto all flesh.(KJV-1611) Isa 66:24 Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:1 ============ Jer 1:1 The words of Jeremiah the son of Hilkiah, of the priests that were in Anathoth in the land of Benjamin:(KJV-1611) Jer 1:1 Nan liv sa a, nou jwenn sa Jeremi, pitit gason Ilkija a, te di ak sa l' te fè. Li te yonn nan prèt ki te rete lavil Anatòt, nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:2 ============ Jer 1:2 To whom the word of the LORD came in the days of Josiah the son of Amon king of Judah, in the thirteenth year of his reign.(KJV-1611) Jer 1:2 Lè Seyè a te pale ak Jeremi an, Jozyas, pitit gason Amon an, t'ap mache sou trèzan depi li te wa peyi Jida.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:3 ============ Jer 1:3 It came also in the days of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, unto the end of the eleventh year of Zedekiah the son of Josiah king of Judah, unto the carrying away of Jerusalem captive in the fifth month.(KJV-1611) Jer 1:3 Apre sa, Seyè a pale avè l' ankò. Lè sa a, se Jojakim, pitit gason Jozyas la, ki te wa nan peyi Jida. Anpil fwa menm apre sa, Seyè a pale avèk Jeremi, rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedesyas, pitit gason Jozyas la, jouk senkyèm mwa nan lanne sa a, lè yo depòte moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:4 ============ Jer 1:4 Then the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Jer 1:4 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:5 ============ Jer 1:5 Before I formed thee in the belly I knew thee; and before thou camest forth out of the womb I sanctified thee, and I ordained thee a prophet unto the nations.(KJV-1611) Jer 1:5 -Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou ou te yon pwofèt pou nasyon yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:6 ============ Jer 1:6 Then said I, Ah, Lord GOD! behold, I cannot speak: for I am a child.(KJV-1611) Jer 1:6 Mwen reponn li: -Aa! Seyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:7 ============ Jer 1:7 But the LORD said unto me, Say not, I am a child: for thou shalt go to all that I shall send thee, and whatsoever I command thee thou shalt speak.(KJV-1611) Jer 1:7 Men, Seyè a di mwen: -Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:8 ============ Jer 1:8 Be not afraid of their faces: for I am with thee to deliver thee, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 1:8 Ou pa bezwen pè pesonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou. Se mwen menm Seyè a ki di ou sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:9 ============ Jer 1:9 Then the LORD put forth his hand, and touched my mouth. And the LORD said unto me, Behold, I have put my words in thy mouth.(KJV-1611) Jer 1:9 Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:10 ============ Jer 1:10 See, I have this day set thee over the nations and over the kingdoms, to root out, and to pull down, and to destroy, and to throw down, to build, and to plant.(KJV-1611) Jer 1:10 Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:11 ============ Jer 1:11 Moreover the word of the LORD came unto me, saying, Jeremiah, what seest thou? And I said, I see a rod of an almond tree.(KJV-1611) Jer 1:11 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: -Mwen wè yon branch zanmann.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:12 ============ Jer 1:12 Then said the LORD unto me, Thou hast well seen: for I will hasten my word to perform it.(KJV-1611) Jer 1:12 Lè sa a, Seyè a di: -Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m' di a rive vre.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:13 ============ Jer 1:13 And the word of the LORD came unto me the second time, saying, What seest thou? And I said, I see a seething pot; and the face thereof is toward the north.(KJV-1611) Jer 1:13 Apre sa, Seyè a pale avè m' yon lòt fwa ankò, li di m': -Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon chodyè dlo k'ap bouyi sou yon dife. Vapè dlo cho a ap desann soti nan nò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:14 ============ Jer 1:14 Then the LORD said unto me, Out of the north an evil shall break forth upon all the inhabitants of the land.(KJV-1611) Jer 1:14 Lè sa a Seyè a fè m' konnen: -Yon gwo malè pral soti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:15 ============ Jer 1:15 For, lo, I will call all the families of the kingdoms of the north, saith the LORD; and they shall come, and they shall set every one his throne at the entering of the gates of Jerusalem, and against all the walls thereof round about, and against all the cities of Judah.(KJV-1611) Jer 1:15 Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:16 ============ Jer 1:16 And I will utter my judgments against them touching all their wickedness, who have forsaken me, and have burned incense unto other gods, and worshipped the works of their own hands.(KJV-1611) Jer 1:16 M'a pini moun nan peyi a jan m' te di l' la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y' al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:17 ============ Jer 1:17 Thou therefore gird up thy loins, and arise, and speak unto them all that I command thee: be not dismayed at their faces, lest I confound thee before them.(KJV-1611) Jer 1:17 Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:18 ============ Jer 1:18 For, behold, I have made thee this day a defenced city, and an iron pillar, and brasen walls against the whole land, against the kings of Judah, against the princes thereof, against the priests thereof, and against the people of the land.(KJV-1611) Jer 1:18 Jòdi a m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a, ak wa l' yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon lavil ak gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Jeremiah 1:19 ============ Jer 1:19 And they shall fight against thee; but they shall not prevail against thee; for I am with thee, saith the LORD, to deliver thee.(KJV-1611) Jer 1:19 Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m' delivre ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:1 ============ Jer 2:1 Moreover the word of the LORD came to me, saying,(KJV-1611) Jer 2:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:2 ============ Jer 2:2 Go and cry in the ears of Jerusalem, saying, Thus saith the LORD; I remember thee, the kindness of thy youth, the love of thine espousals, when thou wentest after me in the wilderness, in a land that was not sown.(KJV-1611) Jer 2:2 -Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:3 ============ Jer 2:3 Israel was holiness unto the LORD, and the firstfruits of his increase: all that devour him shall offend; evil shall come upon them, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 2:3 Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:4 ============ Jer 2:4 Hear ye the word of the LORD, O house of Jacob, and all the families of the house of Israel:(KJV-1611) Jer 2:4 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:5 ============ Jer 2:5 Thus saith the LORD, What iniquity have your fathers found in me, that they are gone far from me, and have walked after vanity, and are become vain?(KJV-1611) Jer 2:5 Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:6 ============ Jer 2:6 Neither said they, Where is the LORD that brought us up out of the land of Egypt, that led us through the wilderness, through a land of deserts and of pits, through a land of drought, and of the shadow of death, through a land that no man passed through, and where no man dwelt?(KJV-1611) Jer 2:6 Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:7 ============ Jer 2:7 And I brought you into a plentiful country, to eat the fruit thereof and the goodness thereof; but when ye entered, ye defiled my land, and made mine heritage an abomination.(KJV-1611) Jer 2:7 Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l', nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m' degoutans.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:8 ============ Jer 2:8 The priests said not, Where is the LORD? and they that handle the law knew me not: the pastors also transgressed against me, and the prophets prophesied by Baal, and walked after things that do not profit.(KJV-1611) Jer 2:8 Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m' ankò. Chèf yo trayi m'. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:9 ============ Jer 2:9 Wherefore I will yet plead with you, saith the LORD, and with your children's children will I plead.(KJV-1611) Jer 2:9 Se konsa, mwen menm Seyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:10 ============ Jer 2:10 For pass over the isles of Chittim, and see; and send unto Kedar, and consider diligently, and see if there be such a thing.(KJV-1611) Jer 2:10 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:11 ============ Jer 2:11 Hath a nation changed their gods, which are yet no gods? but my people have changed their glory for that which doth not profit.(KJV-1611) Jer 2:11 Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t' bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:12 ============ Jer 2:12 Be astonished, O ye heavens, at this, and be horribly afraid, be ye very desolate, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 2:12 Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l' tranble. Se pou l' rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:13 ============ Jer 2:13 For my people have committed two evils; they have forsaken me the fountain of living waters, and hewed them out cisterns, broken cisterns, that can hold no water.(KJV-1611) Jer 2:13 Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:14 ============ Jer 2:14 Is Israel a servant? is he a homeborn slave? why is he spoiled?(KJV-1611) Jer 2:14 Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa?(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:15 ============ Jer 2:15 The young lions roared upon him, and yelled, and they made his land waste: his cities are burned without inhabitant.(KJV-1611) Jer 2:15 Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:16 ============ Jer 2:16 Also the children of Noph and Tahapanes have broken the crown of thy head.(KJV-1611) Jer 2:16 Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:17 ============ Jer 2:17 Hast thou not procured this unto thyself, in that thou hast forsaken the LORD thy God, when he led thee by the way?(KJV-1611) Jer 2:17 Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:18 ============ Jer 2:18 And now what hast thou to do in the way of Egypt, to drink the waters of Sihor? or what hast thou to do in the way of Assyria, to drink the waters of the river?(KJV-1611) Jer 2:18 Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat?(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:19 ============ Jer 2:19 Thine own wickedness shall correct thee, and thy backslidings shall reprove thee: know therefore and see that it is an evil thing and bitter, that thou hast forsaken the LORD thy God, and that my fear is not in thee, saith the Lord GOD of hosts.(KJV-1611) Jer 2:19 Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:20 ============ Jer 2:20 For of old time I have broken thy yoke, and burst thy bands; and thou saidst, I will not transgress; when upon every high hill and under every green tree thou wanderest, playing the harlot.(KJV-1611) Jer 2:20 Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:21 ============ Jer 2:21 Yet I had planted thee a noble vine, wholly a right seed: how then art thou turned into the degenerate plant of a strange vine unto me?(KJV-1611) Jer 2:21 Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M' pa konnen kote ou soti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:22 ============ Jer 2:22 For though thou wash thee with nitre, and take thee much soap, yet thine iniquity is marked before me, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Jer 2:22 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:23 ============ Jer 2:23 How canst thou say, I am not polluted, I have not gone after Baalim? see thy way in the valley, know what thou hast done: thou art a swift dromedary traversing her ways;(KJV-1611) Jer 2:23 Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agoch.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:24 ============ Jer 2:24 A wild ass used to the wilderness, that snuffeth up the wind at her pleasure; in her occasion who can turn her away? all they that seek her will not weary themselves; in her month they shall find her.(KJV-1611) Jer 2:24 Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:25 ============ Jer 2:25 Withhold thy foot from being unshod, and thy throat from thirst: but thou saidst, There is no hope: no; for I have loved strangers, and after them will I go.(KJV-1611) Jer 2:25 Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M' pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m' al dèyè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:26 ============ Jer 2:26 As the thief is ashamed when he is found, so is the house of Israel ashamed; they, their kings, their princes, and their priests, and their prophets.(KJV-1611) Jer 2:26 Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:27 ============ Jer 2:27 Saying to a stock, Thou art my father; and to a stone, Thou hast brought me forth: for they have turned their back unto me, and not their face: but in the time of their trouble they will say, Arise, and save us.(KJV-1611) Jer 2:27 Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:28 ============ Jer 2:28 But where are thy gods that thou hast made thee? let them arise, if they can save thee in the time of thy trouble: for according to the number of thy cities are thy gods, O Judah.(KJV-1611) Jer 2:28 Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:29 ============ Jer 2:29 Wherefore will ye plead with me? ye all have transgressed against me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 2:29 Poukisa n'ap plede avè m' konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m'. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:30 ============ Jer 2:30 In vain have I smitten your children; they received no correction: your own sword hath devoured your prophets, like a destroying lion.(KJV-1611) Jer 2:30 Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:31 ============ Jer 2:31 O generation, see ye the word of the LORD. Have I been a wilderness unto Israel? a land of darkness? wherefore say my people, We are lords; we will come no more unto thee?(KJV-1611) Jer 2:31 (Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:32 ============ Jer 2:32 Can a maid forget her ornaments, or a bride her attire? yet my people have forgotten me days without number.(KJV-1611) Jer 2:32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:33 ============ Jer 2:33 Why trimmest thou thy way to seek love? therefore hast thou also taught the wicked ones thy ways.(KJV-1611) Jer 2:33 Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:34 ============ Jer 2:34 Also in thy skirts is found the blood of the souls of the poor innocents: I have not found it by secret search, but upon all these.(KJV-1611) Jer 2:34 Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:35 ============ Jer 2:35 Yet thou sayest, Because I am innocent, surely his anger shall turn from me. Behold, I will plead with thee, because thou sayest, I have not sinned.(KJV-1611) Jer 2:35 w'ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t' dwe fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:36 ============ Jer 2:36 Why gaddest thou about so much to change thy way? thou also shalt be ashamed of Egypt, as thou wast ashamed of Assyria.(KJV-1611) Jer 2:36 Gade jan w'ap avili tèt ou, lè w'ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W'ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 2:37 ============ Jer 2:37 Yea, thou shalt go forth from him, and thine hands upon thine head: for the LORD hath rejected thy confidences, and thou shalt not prosper in them.(KJV-1611) Jer 2:37 W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:1 ============ Jer 3:1 They say, If a man put away his wife, and she go from him, and become another man's, shall he return unto her again? shall not that land be greatly polluted? but thou hast played the harlot with many lovers; yet return again to me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 3:1 Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:2 ============ Jer 3:2 Lift up thine eyes unto the high places, and see where thou hast not been lien with. In the ways hast thou sat for them, as the Arabian in the wilderness; and thou hast polluted the land with thy whoredoms and with thy wickedness.(KJV-1611) Jer 3:2 Leve je nou, gade tèt mòn yo! Eske gen yonn ladan yo kote nou pa t' aji tankou yon fanm k'ap fè jennès? Nou rete chita sou tout bò chemen ap veye gason, tankou arab k'ap veye moun nan dezè a pou piye yo. Nou avili tout peyi a ak lenkondite nou ansanm ak mechanste nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:3 ============ Jer 3:3 Therefore the showers have been withholden, and there hath been no latter rain; and thou hadst a whore's forehead, thou refusedst to be ashamed.(KJV-1611) Jer 3:3 Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:4 ============ Jer 3:4 Wilt thou not from this time cry unto me, My father, thou art the guide of my youth?(KJV-1611) Jer 3:4 Koulye a menm, n'ap vin di m': O wi, se mwen ki papa nou, nou te toujou renmen m' depi lè nou te piti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:5 ============ Jer 3:5 Will he reserve his anger for ever? will he keep it to the end? Behold, thou hast spoken and done evil things as thou couldest.(KJV-1611) Jer 3:5 Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:6 ============ Jer 3:6 The LORD said also unto me in the days of Josiah the king, Hast thou seen that which backsliding Israel hath done? she is gone up upon every high mountain and under every green tree, and there hath played the harlot.(KJV-1611) Jer 3:6 Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:7 ============ Jer 3:7 And I said after she had done all these things, Turn thou unto me. But she returned not. And her treacherous sister Judah saw it.(KJV-1611) Jer 3:7 Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:8 ============ Jer 3:8 And I saw, when for all the causes whereby backsliding Israel committed adultery I had put her away, and given her a bill of divorce; yet her treacherous sister Judah feared not, but went and played the harlot also.(KJV-1611) Jer 3:8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:9 ============ Jer 3:9 And it came to pass through the lightness of her whoredom, that she defiled the land, and committed adultery with stones and with stocks.(KJV-1611) Jer 3:9 Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:10 ============ Jer 3:10 And yet for all this her treacherous sister Judah hath not turned unto me with her whole heart, but feignedly, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 3:10 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:11 ============ Jer 3:11 And the LORD said unto me, The backsliding Israel hath justified herself more than treacherous Judah.(KJV-1611) Jer 3:11 Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:12 ============ Jer 3:12 Go and proclaim these words toward the north, and say, Return, thou backsliding Israel, saith the LORD; and I will not cause mine anger to fall upon you: for I am merciful, saith the LORD, and I will not keep anger for ever.(KJV-1611) Jer 3:12 Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:13 ============ Jer 3:13 Only acknowledge thine iniquity, that thou hast transgressed against the LORD thy God, and hast scattered thy ways to the strangers under every green tree, and ye have not obeyed my voice, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 3:13 Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:14 ============ Jer 3:14 Turn, O backsliding children, saith the LORD; for I am married unto you: and I will take you one of a city, and two of a family, and I will bring you to Zion:(KJV-1611) Jer 3:14 Nou menm ki vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske, se mwen menm ki mèt nou. Mwen pral pran yon moun nan chak lavil nou yo, de moun nan chak branch fanmi, m'ap mennen nou tounen sou mòn Siyon an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:15 ============ Jer 3:15 And I will give you pastors according to mine heart, which shall feed you with knowledge and understanding.(KJV-1611) Jer 3:15 M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:16 ============ Jer 3:16 And it shall come to pass, when ye be multiplied and increased in the land, in those days, saith the LORD, they shall say no more, The ark of the covenant of the LORD: neither shall it come to mind: neither shall they remember it; neither shall they visit it; neither shall that be done any more.(KJV-1611) Jer 3:16 Apre sa, lè m'a fè n' peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Seyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l' nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:17 ============ Jer 3:17 At that time they shall call Jerusalem the throne of the LORD; and all the nations shall be gathered unto it, to the name of the LORD, to Jerusalem: neither shall they walk any more after the imagination of their evil heart.(KJV-1611) Jer 3:17 Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:18 ============ Jer 3:18 In those days the house of Judah shall walk with the house of Israel, and they shall come together out of the land of the north to the land that I have given for an inheritance unto your fathers.(KJV-1611) Jer 3:18 Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a soti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:19 ============ Jer 3:19 But I said, How shall I put thee among the children, and give thee a pleasant land, a goodly heritage of the hosts of nations? and I said, Thou shalt call me, My father; and shalt not turn away from me.(KJV-1611) Jer 3:19 Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:20 ============ Jer 3:20 Surely as a wife treacherously departeth from her husband, so have ye dealt treacherously with me, O house of Israel, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 3:20 Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:21 ============ Jer 3:21 A voice was heard upon the high places, weeping and supplications of the children of Israel: for they have perverted their way, and they have forgotten the LORD their God.(KJV-1611) Jer 3:21 Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:22 ============ Jer 3:22 Return, ye backsliding children, and I will heal your backslidings. Behold, we come unto thee; for thou art the LORD our God.(KJV-1611) Jer 3:22 Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:23 ============ Jer 3:23 Truly in vain is salvation hoped for from the hills, and from the multitude of mountains: truly in the LORD our God is the salvation of Israel.(KJV-1611) Jer 3:23 Se pou gremesi nou t'ap fè tout bri sa yo sou tèt mòn yo. Yo pa ka fè anyen pou nou. Wi, se Seyè a, Bondye nou an, sèl ki ka sove pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:24 ============ Jer 3:24 For shame hath devoured the labour of our fathers from our youth; their flocks and their herds, their sons and their daughters.(KJV-1611) Jer 3:24 Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 3:25 ============ Jer 3:25 We lie down in our shame, and our confusion covereth us: for we have sinned against the LORD our God, we and our fathers, from our youth even unto this day, and have not obeyed the voice of the LORD our God.(KJV-1611) Jer 3:25 Se pou nou bese tèt nou jouk atè tèlman nou wont. Wont la twòp pou nou! Li kouvri nou nèt! Wi, ni nou ni zansèt nou yo, depi nou tou piti rive jouk jòdi a, n'ap fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an. Nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè sa l' mande nou fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:1 ============ Jer 4:1 If thou wilt return, O Israel, saith the LORD, return unto me: and if thou wilt put away thine abominations out of my sight, then shalt thou not remove.(KJV-1611) Jer 4:1 Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje,(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:2 ============ Jer 4:2 And thou shalt swear, The LORD liveth, in truth, in judgment, and in righteousness; and the nations shall bless themselves in him, and in him shall they glory.(KJV-1611) Jer 4:2 si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:3 ============ Jer 4:3 For thus saith the LORD to the men of Judah and Jerusalem, Break up your fallow ground, and sow not among thorns.(KJV-1611) Jer 4:3 Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:4 ============ Jer 4:4 Circumcise yourselves to the LORD, and take away the foreskins of your heart, ye men of Judah and inhabitants of Jerusalem: lest my fury come forth like fire, and burn that none can quench it, because of the evil of your doings.(KJV-1611) Jer 4:4 Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:5 ============ Jer 4:5 Declare ye in Judah, and publish in Jerusalem; and say, Blow ye the trumpet in the land: cry, gather together, and say, Assemble yourselves, and let us go into the defenced cities.(KJV-1611) Jer 4:5 Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:6 ============ Jer 4:6 Set up the standard toward Zion: retire, stay not: for I will bring evil from the north, and a great destruction.(KJV-1611) Jer 4:6 Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:7 ============ Jer 4:7 The lion is come up from his thicket, and the destroyer of the Gentiles is on his way; he is gone forth from his place to make thy land desolate; and thy cities shall be laid waste, without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 4:7 Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:8 ============ Jer 4:8 For this gird you with sackcloth, lament and howl: for the fierce anger of the LORD is not turned back from us.(KJV-1611) Jer 4:8 Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:9 ============ Jer 4:9 And it shall come to pass at that day, saith the LORD, that the heart of the king shall perish, and the heart of the princes; and the priests shall be astonished, and the prophets shall wonder.(KJV-1611) Jer 4:9 Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:10 ============ Jer 4:10 Then said I, Ah, Lord GOD! surely thou hast greatly deceived this people and Jerusalem, saying, Ye shall have peace; whereas the sword reacheth unto the soul.(KJV-1611) Jer 4:10 Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:11 ============ Jer 4:11 At that time shall it be said to this people and to Jerusalem, A dry wind of the high places in the wilderness toward the daughter of my people, not to fan, nor to cleanse,(KJV-1611) Jer 4:11 Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:12 ============ Jer 4:12 Even a full wind from those places shall come unto me: now also will I give sentence against them.(KJV-1611) Jer 4:12 Men se yon gwo van m'ap fè soti laba a. Koulye a se mwen menm, Seyè a, ki pral ba yo santans yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:13 ============ Jer 4:13 Behold, he shall come up as clouds, and his chariots shall be as a whirlwind: his horses are swifter than eagles. Woe unto us! for we are spoiled.(KJV-1611) Jer 4:13 Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:14 ============ Jer 4:14 O Jerusalem, wash thine heart from wickedness, that thou mayest be saved. How long shall thy vain thoughts lodge within thee?(KJV-1611) Jer 4:14 Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:15 ============ Jer 4:15 For a voice declareth from Dan, and publisheth affliction from mount Ephraim.(KJV-1611) Jer 4:15 Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:16 ============ Jer 4:16 Make ye mention to the nations; behold, publish against Jerusalem, that watchers come from a far country, and give out their voice against the cities of Judah.(KJV-1611) Jer 4:16 Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:17 ============ Jer 4:17 As keepers of a field, are they against her round about; because she hath been rebellious against me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 4:17 Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:18 ============ Jer 4:18 Thy way and thy doings have procured these things unto thee; this is thy wickedness, because it is bitter, because it reacheth unto thine heart.(KJV-1611) Jer 4:18 Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:19 ============ Jer 4:19 My bowels, my bowels! I am pained at my very heart; my heart maketh a noise in me; I cannot hold my peace, because thou hast heard, O my soul, the sound of the trumpet, the alarm of war.(KJV-1611) Jer 4:19 Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:20 ============ Jer 4:20 Destruction upon destruction is cried; for the whole land is spoiled: suddenly are my tents spoiled, and my curtains in a moment.(KJV-1611) Jer 4:20 Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:21 ============ Jer 4:21 How long shall I see the standard, and hear the sound of the trumpet?(KJV-1611) Jer 4:21 Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:22 ============ Jer 4:22 For my people is foolish, they have not known me; they are sottish children, and they have none understanding: they are wise to do evil, but to do good they have no knowledge.(KJV-1611) Jer 4:22 Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:23 ============ Jer 4:23 I beheld the earth, and, lo, it was without form, and void; and the heavens, and they had no light.(KJV-1611) Jer 4:23 Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè!(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:24 ============ Jer 4:24 I beheld the mountains, and, lo, they trembled, and all the hills moved lightly.(KJV-1611) Jer 4:24 Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch!(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:25 ============ Jer 4:25 I beheld, and, lo, there was no man, and all the birds of the heavens were fled.(KJV-1611) Jer 4:25 Mwen gade, m' pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:26 ============ Jer 4:26 I beheld, and, lo, the fruitful place was a wilderness, and all the cities thereof were broken down at the presence of the LORD, and by his fierce anger.(KJV-1611) Jer 4:26 Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:27 ============ Jer 4:27 For thus hath the LORD said, The whole land shall be desolate; yet will I not make a full end.(KJV-1611) Jer 4:27 Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:28 ============ Jer 4:28 For this shall the earth mourn, and the heavens above be black; because I have spoken it, I have purposed it, and will not repent, neither will I turn back from it.(KJV-1611) Jer 4:28 Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:29 ============ Jer 4:29 The whole city shall flee for the noise of the horsemen and bowmen; they shall go into thickets, and climb up upon the rocks: every city shall be forsaken, and not a man dwell therein.(KJV-1611) Jer 4:29 Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:30 ============ Jer 4:30 And when thou art spoiled, what wilt thou do? Though thou clothest thyself with crimson, though thou deckest thee with ornaments of gold, though thou rentest thy face with painting, in vain shalt thou make thyself fair; thy lovers will despise thee, they will seek thy life.(KJV-1611) Jer 4:30 Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 4:31 ============ Jer 4:31 For I have heard a voice as of a woman in travail, and the anguish as of her that bringeth forth her first child, the voice of the daughter of Zion, that bewaileth herself, that spreadeth her hands, saying, Woe is me now! for my soul is wearied because of murderers.(KJV-1611) Jer 4:31 Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:1 ============ Jer 5:1 Run ye to and fro through the streets of Jerusalem, and see now, and know, and seek in the broad places thereof, if ye can find a man, if there be any that executeth judgment, that seeketh the truth; and I will pardon it.(KJV-1611) Jer 5:1 Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:2 ============ Jer 5:2 And though they say, The LORD liveth; surely they swear falsely.(KJV-1611) Jer 5:2 Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:3 ============ Jer 5:3 O LORD, are not thine eyes upon the truth? thou hast stricken them, but they have not grieved; thou hast consumed them, but they have refused to receive correction: they have made their faces harder than a rock; they have refused to return.(KJV-1611) Jer 5:3 Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:4 ============ Jer 5:4 Therefore I said, Surely these are poor; they are foolish: for they know not the way of the LORD, nor the judgment of their God.(KJV-1611) Jer 5:4 Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:5 ============ Jer 5:5 I will get me unto the great men, and will speak unto them; for they have known the way of the LORD, and the judgment of their God: but these have altogether broken the yoke, and burst the bonds.(KJV-1611) Jer 5:5 Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:6 ============ Jer 5:6 Wherefore a lion out of the forest shall slay them, and a wolf of the evenings shall spoil them, a leopard shall watch over their cities: every one that goeth out thence shall be torn in pieces: because their transgressions are many, and their backslidings are increased.(KJV-1611) Jer 5:6 Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:7 ============ Jer 5:7 How shall I pardon thee for this? thy children have forsaken me, and sworn by them that are no gods: when I had fed them to the full, they then committed adultery, and assembled themselves by troops in the harlots' houses.(KJV-1611) Jer 5:7 Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:8 ============ Jer 5:8 They were as fed horses in the morning: every one neighed after his neighbour's wife.(KJV-1611) Jer 5:8 Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:9 ============ Jer 5:9 Shall I not visit for these things? saith the LORD: and shall not my soul be avenged on such a nation as this?(KJV-1611) Jer 5:9 Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:10 ============ Jer 5:10 Go ye up upon her walls, and destroy; but make not a full end: take away her battlements; for they are not the LORD's.(KJV-1611) Jer 5:10 Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:11 ============ Jer 5:11 For the house of Israel and the house of Judah have dealt very treacherously against me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 5:11 Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:12 ============ Jer 5:12 They have belied the LORD, and said, It is not he; neither shall evil come upon us; neither shall we see sword nor famine:(KJV-1611) Jer 5:12 Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:13 ============ Jer 5:13 And the prophets shall become wind, and the word is not in them: thus shall it be done unto them.(KJV-1611) Jer 5:13 Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:14 ============ Jer 5:14 Wherefore thus saith the LORD God of hosts, Because ye speak this word, behold, I will make my words in thy mouth fire, and this people wood, and it shall devour them.(KJV-1611) Jer 5:14 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:15 ============ Jer 5:15 Lo, I will bring a nation upon you from far, O house of Israel, saith the LORD: it is a mighty nation, it is an ancient nation, a nation whose language thou knowest not, neither understandest what they say.(KJV-1611) Jer 5:15 Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:16 ============ Jer 5:16 Their quiver is as an open sepulchre, they are all mighty men.(KJV-1611) Jer 5:16 Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:17 ============ Jer 5:17 And they shall eat up thine harvest, and thy bread, which thy sons and thy daughters should eat: they shall eat up thy flocks and thine herds: they shall eat up thy vines and thy fig trees: they shall impoverish thy fenced cities, wherein thou trustedst, with the sword.(KJV-1611) Jer 5:17 Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:18 ============ Jer 5:18 Nevertheless in those days, saith the LORD, I will not make a full end with you.(KJV-1611) Jer 5:18 Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:19 ============ Jer 5:19 And it shall come to pass, when ye shall say, Wherefore doeth the LORD our God all these things unto us? then shalt thou answer them, Like as ye have forsaken me, and served strange gods in your land, so shall ye serve strangers in a land that is not your's.(KJV-1611) Jer 5:19 Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:20 ============ Jer 5:20 Declare this in the house of Jacob, and publish it in Judah, saying,(KJV-1611) Jer 5:20 Seyè a di ankò: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:21 ============ Jer 5:21 Hear now this, O foolish people, and without understanding; which have eyes, and see not; which have ears, and hear not:(KJV-1611) Jer 5:21 Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:22 ============ Jer 5:22 Fear ye not me? saith the LORD: will ye not tremble at my presence, which have placed the sand for the bound of the sea by a perpetual decree, that it cannot pass it: and though the waves thereof toss themselves, yet can they not prevail; though they roar, yet can they not pass over it?(KJV-1611) Jer 5:22 Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:23 ============ Jer 5:23 But this people hath a revolting and a rebellious heart; they are revolted and gone.(KJV-1611) Jer 5:23 Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:24 ============ Jer 5:24 Neither say they in their heart, Let us now fear the LORD our God, that giveth rain, both the former and the latter, in his season: he reserveth unto us the appointed weeks of the harvest.(KJV-1611) Jer 5:24 Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:25 ============ Jer 5:25 Your iniquities have turned away these things, and your sins have withholden good things from you.(KJV-1611) Jer 5:25 Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:26 ============ Jer 5:26 For among my people are found wicked men: they lay wait, as he that setteth snares; they set a trap, they catch men.(KJV-1611) Jer 5:26 Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:27 ============ Jer 5:27 As a cage is full of birds, so are their houses full of deceit: therefore they are become great, and waxen rich.(KJV-1611) Jer 5:27 Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:28 ============ Jer 5:28 They are waxen fat, they shine: yea, they overpass the deeds of the wicked: they judge not the cause, the cause of the fatherless, yet they prosper; and the right of the needy do they not judge.(KJV-1611) Jer 5:28 Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:29 ============ Jer 5:29 Shall I not visit for these things? saith the LORD: shall not my soul be avenged on such a nation as this?(KJV-1611) Jer 5:29 Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:30 ============ Jer 5:30 A wonderful and horrible thing is committed in the land;(KJV-1611) Jer 5:30 Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 5:31 ============ Jer 5:31 The prophets prophesy falsely, and the priests bear rule by their means; and my people love to have it so: and what will ye do in the end thereof?(KJV-1611) Jer 5:31 Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:1 ============ Jer 6:1 O ye children of Benjamin, gather yourselves to flee out of the midst of Jerusalem, and blow the trumpet in Tekoa, and set up a sign of fire in Bethhaccerem: for evil appeareth out of the north, and great destruction.(KJV-1611) Jer 6:1 Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:2 ============ Jer 6:2 I have likened the daughter of Zion to a comely and delicate woman.(KJV-1611) Jer 6:2 Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:3 ============ Jer 6:3 The shepherds with their flocks shall come unto her; they shall pitch their tents against her round about; they shall feed every one in his place.(KJV-1611) Jer 6:3 Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:4 ============ Jer 6:4 Prepare ye war against her; arise, and let us go up at noon. Woe unto us! for the day goeth away, for the shadows of the evening are stretched out.(KJV-1611) Jer 6:4 Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:5 ============ Jer 6:5 Arise, and let us go by night, and let us destroy her palaces.(KJV-1611) Jer 6:5 Leve non! Ann al atake l' gwo lannwit. Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:6 ============ Jer 6:6 For thus hath the LORD of hosts said, Hew ye down trees, and cast a mount against Jerusalem: this is the city to be visited; she is wholly oppression in the midst of her.(KJV-1611) Jer 6:6 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: -Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:7 ============ Jer 6:7 As a fountain casteth out her waters, so she casteth out her wickedness: violence and spoil is heard in her; before me continually is grief and wounds.(KJV-1611) Jer 6:7 Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:8 ============ Jer 6:8 Be thou instructed, O Jerusalem, lest my soul depart from thee; lest I make thee desolate, a land not inhabited.(KJV-1611) Jer 6:8 Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:9 ============ Jer 6:9 Thus saith the LORD of hosts, They shall throughly glean the remnant of Israel as a vine: turn back thine hand as a grapegatherer into the baskets.(KJV-1611) Jer 6:9 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:10 ============ Jer 6:10 To whom shall I speak, and give warning, that they may hear? behold, their ear is uncircumcised, and they cannot hearken: behold, the word of the LORD is unto them a reproach; they have no delight in it.(KJV-1611) Jer 6:10 Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:11 ============ Jer 6:11 Therefore I am full of the fury of the LORD; I am weary with holding in: I will pour it out upon the children abroad, and upon the assembly of young men together: for even the husband with the wife shall be taken, the aged with him that is full of days.(KJV-1611) Jer 6:11 Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:12 ============ Jer 6:12 And their houses shall be turned unto others, with their fields and wives together: for I will stretch out my hand upon the inhabitants of the land, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 6:12 Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:13 ============ Jer 6:13 For from the least of them even unto the greatest of them every one is given to covetousness; and from the prophet even unto the priest every one dealeth falsely.(KJV-1611) Jer 6:13 Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:14 ============ Jer 6:14 They have healed also the hurt of the daughter of my people slightly, saying, Peace, peace; when there is no peace.(KJV-1611) Jer 6:14 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:15 ============ Jer 6:15 Were they ashamed when they had committed abomination? nay, they were not at all ashamed, neither could they blush: therefore they shall fall among them that fall: at the time that I visit them they shall be cast down, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 6:15 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:16 ============ Jer 6:16 Thus saith the LORD, Stand ye in the ways, and see, and ask for the old paths, where is the good way, and walk therein, and ye shall find rest for your souls. But they said, We will not walk therein.(KJV-1611) Jer 6:16 Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:17 ============ Jer 6:17 Also I set watchmen over you, saying, Hearken to the sound of the trumpet. But they said, We will not hearken.(KJV-1611) Jer 6:17 Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:18 ============ Jer 6:18 Therefore hear, ye nations, and know, O congregation, what is among them.(KJV-1611) Jer 6:18 Se poutèt sa, Seyè a di ankò: -Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:19 ============ Jer 6:19 Hear, O earth: behold, I will bring evil upon this people, even the fruit of their thoughts, because they have not hearkened unto my words, nor to my law, but rejected it.(KJV-1611) Jer 6:19 Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:20 ============ Jer 6:20 To what purpose cometh there to me incense from Sheba, and the sweet cane from a far country? your burnt offerings are not acceptable, nor your sacrifices sweet unto me.(KJV-1611) Jer 6:20 Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:21 ============ Jer 6:21 Therefore thus saith the LORD, Behold, I will lay stumblingblocks before this people, and the fathers and the sons together shall fall upon them; the neighbour and his friend shall perish.(KJV-1611) Jer 6:21 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:22 ============ Jer 6:22 Thus saith the LORD, Behold, a people cometh from the north country, and a great nation shall be raised from the sides of the earth.(KJV-1611) Jer 6:22 Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:23 ============ Jer 6:23 They shall lay hold on bow and spear; they are cruel, and have no mercy; their voice roareth like the sea; and they ride upon horses, set in array as men for war against thee, O daughter of Zion.(KJV-1611) Jer 6:23 Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:24 ============ Jer 6:24 We have heard the fame thereof: our hands wax feeble: anguish hath taken hold of us, and pain, as of a woman in travail.(KJV-1611) Jer 6:24 Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:25 ============ Jer 6:25 Go not forth into the field, nor walk by the way; for the sword of the enemy and fear is on every side.(KJV-1611) Jer 6:25 Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:26 ============ Jer 6:26 O daughter of my people, gird thee with sackcloth, and wallow thyself in ashes: make thee mourning, as for an only son, most bitter lamentation: for the spoiler shall suddenly come upon us.(KJV-1611) Jer 6:26 Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:27 ============ Jer 6:27 I have set thee for a tower and a fortress among my people, that thou mayest know and try their way.(KJV-1611) Jer 6:27 Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:28 ============ Jer 6:28 They are all grievous revolters, walking with slanders: they are brass and iron; they are all corrupters.(KJV-1611) Jer 6:28 Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:29 ============ Jer 6:29 The bellows are burned, the lead is consumed of the fire; the founder melteth in vain: for the wicked are not plucked away.(KJV-1611) Jer 6:29 Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 6:30 ============ Jer 6:30 Reprobate silver shall men call them, because the LORD hath rejected them.(KJV-1611) Jer 6:30 Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:1 ============ Jer 7:1 The word that came to Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 7:1 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:2 ============ Jer 7:2 Stand in the gate of the LORD's house, and proclaim there this word, and say, Hear the word of the LORD, all ye of Judah, that enter in at these gates to worship the LORD.(KJV-1611) Jer 7:2 -Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:3 ============ Jer 7:3 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, Amend your ways and your doings, and I will cause you to dwell in this place.(KJV-1611) Jer 7:3 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:4 ============ Jer 7:4 Trust ye not in lying words, saying, The temple of the LORD, The temple of the LORD, The temple of the LORD, are these.(KJV-1611) Jer 7:4 Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:5 ============ Jer 7:5 For if ye throughly amend your ways and your doings; if ye throughly execute judgment between a man and his neighbour;(KJV-1611) Jer 7:5 Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:6 ============ Jer 7:6 If ye oppress not the stranger, the fatherless, and the widow, and shed not innocent blood in this place, neither walk after other gods to your hurt:(KJV-1611) Jer 7:6 Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:7 ============ Jer 7:7 Then will I cause you to dwell in this place, in the land that I gave to your fathers, for ever and ever.(KJV-1611) Jer 7:7 Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:8 ============ Jer 7:8 Behold, ye trust in lying words, that cannot profit.(KJV-1611) Jer 7:8 Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:9 ============ Jer 7:9 Will ye steal, murder, and commit adultery, and swear falsely, and burn incense unto Baal, and walk after other gods whom ye know not;(KJV-1611) Jer 7:9 Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:10 ============ Jer 7:10 And come and stand before me in this house, which is called by my name, and say, We are delivered to do all these abominations?(KJV-1611) Jer 7:10 Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè?(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:11 ============ Jer 7:11 Is this house, which is called by my name, become a den of robbers in your eyes? Behold, even I have seen it, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 7:11 Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:12 ============ Jer 7:12 But go ye now unto my place which was in Shiloh, where I set my name at the first, and see what I did to it for the wickedness of my people Israel.(KJV-1611) Jer 7:12 Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:13 ============ Jer 7:13 And now, because ye have done all these works, saith the LORD, and I spake unto you, rising up early and speaking, but ye heard not; and I called you, but ye answered not;(KJV-1611) Jer 7:13 Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:14 ============ Jer 7:14 Therefore will I do unto this house, which is called by my name, wherein ye trust, and unto the place which I gave to you and to your fathers, as I have done to Shiloh.(KJV-1611) Jer 7:14 Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:15 ============ Jer 7:15 And I will cast you out of my sight, as I have cast out all your brethren, even the whole seed of Ephraim.(KJV-1611) Jer 7:15 M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:16 ============ Jer 7:16 Therefore pray not thou for this people, neither lift up cry nor prayer for them, neither make intercession to me: for I will not hear thee.(KJV-1611) Jer 7:16 Seyè a di ankò: -Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m' pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m'. Paske mwen p'ap koute ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:17 ============ Jer 7:17 Seest thou not what they do in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem?(KJV-1611) Jer 7:17 Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm?(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:18 ============ Jer 7:18 The children gather wood, and the fathers kindle the fire, and the women knead their dough, to make cakes to the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto other gods, that they may provoke me to anger.(KJV-1611) Jer 7:18 Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:19 ============ Jer 7:19 Do they provoke me to anger? saith the LORD: do they not provoke themselves to the confusion of their own faces?(KJV-1611) Jer 7:19 Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Seyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:20 ============ Jer 7:20 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, mine anger and my fury shall be poured out upon this place, upon man, and upon beast, and upon the trees of the field, and upon the fruit of the ground; and it shall burn, and shall not be quenched.(KJV-1611) Jer 7:20 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:21 ============ Jer 7:21 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Put your burnt offerings unto your sacrifices, and eat flesh.(KJV-1611) Jer 7:21 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:22 ============ Jer 7:22 For I spake not unto your fathers, nor commanded them in the day that I brought them out of the land of Egypt, concerning burnt offerings or sacrifices:(KJV-1611) Jer 7:22 Lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti peyi Lejip, mwen pa t' ba yo ankenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:23 ============ Jer 7:23 But this thing commanded I them, saying, Obey my voice, and I will be your God, and ye shall be my people: and walk ye in all the ways that I have commanded you, that it may be well unto you.(KJV-1611) Jer 7:23 Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m' lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:24 ============ Jer 7:24 But they hearkened not, nor inclined their ear, but walked in the counsels and in the imagination of their evil heart, and went backward, and not forward.(KJV-1611) Jer 7:24 Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:25 ============ Jer 7:25 Since the day that your fathers came forth out of the land of Egypt unto this day I have even sent unto you all my servants the prophets, daily rising up early and sending them:(KJV-1611) Jer 7:25 Depi jou zansèt nou yo te soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou pale ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:26 ============ Jer 7:26 Yet they hearkened not unto me, nor inclined their ear, but hardened their neck: they did worse than their fathers.(KJV-1611) Jer 7:26 Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:27 ============ Jer 7:27 Therefore thou shalt speak all these words unto them; but they will not hearken to thee: thou shalt also call unto them; but they will not answer thee.(KJV-1611) Jer 7:27 Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:28 ============ Jer 7:28 But thou shalt say unto them, This is a nation that obeyeth not the voice of the LORD their God, nor receiveth correction: truth is perished, and is cut off from their mouth.(KJV-1611) Jer 7:28 W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Seyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pesonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:29 ============ Jer 7:29 Cut off thine hair, O Jerusalem, and cast it away, and take up a lamentation on high places; for the LORD hath rejected and forsaken the generation of his wrath.(KJV-1611) Jer 7:29 Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:30 ============ Jer 7:30 For the children of Judah have done evil in my sight, saith the LORD: they have set their abominations in the house which is called by my name, to pollute it.(KJV-1611) Jer 7:30 Moun peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m'. Se Seyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:31 ============ Jer 7:31 And they have built the high places of Tophet, which is in the valley of the son of Hinnom, to burn their sons and their daughters in the fire; which I commanded them not, neither came it into my heart.(KJV-1611) Jer 7:31 Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:32 ============ Jer 7:32 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that it shall no more be called Tophet, nor the valley of the son of Hinnom, but the valley of slaughter: for they shall bury in Tophet, till there be no place.(KJV-1611) Jer 7:32 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:33 ============ Jer 7:33 And the carcases of this people shall be meat for the fowls of the heaven, and for the beasts of the earth; and none shall fray them away.(KJV-1611) Jer 7:33 Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 7:34 ============ Jer 7:34 Then will I cause to cease from the cities of Judah, and from the streets of Jerusalem, the voice of mirth, and the voice of gladness, the voice of the bridegroom, and the voice of the bride: for the land shall be desolate.(KJV-1611) Jer 7:34 Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l', ou p'ap tande yon moun ap ri. p'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:1 ============ Jer 8:1 At that time, saith the LORD, they shall bring out the bones of the kings of Judah, and the bones of his princes, and the bones of the priests, and the bones of the prophets, and the bones of the inhabitants of Jerusalem, out of their graves:(KJV-1611) Jer 8:1 Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:2 ============ Jer 8:2 And they shall spread them before the sun, and the moon, and all the host of heaven, whom they have loved, and whom they have served, and after whom they have walked, and whom they have sought, and whom they have worshipped: they shall not be gathered, nor be buried; they shall be for dung upon the face of the earth.(KJV-1611) Jer 8:2 Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:3 ============ Jer 8:3 And death shall be chosen rather than life by all the residue of them that remain of this evil family, which remain in all the places whither I have driven them, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Jer 8:3 Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:4 ============ Jer 8:4 Moreover thou shalt say unto them, Thus saith the LORD; Shall they fall, and not arise? shall he turn away, and not return?(KJV-1611) Jer 8:4 W'a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l', èske li pa tounen kote l' soti a?(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:5 ============ Jer 8:5 Why then is this people of Jerusalem slidden back by a perpetual backsliding? they hold fast deceit, they refuse to return.(KJV-1611) Jer 8:5 Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:6 ============ Jer 8:6 I hearkened and heard, but they spake not aright: no man repented him of his wickedness, saying, What have I done? every one turned to his course, as the horse rusheth into the battle.(KJV-1611) Jer 8:6 M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:7 ============ Jer 8:7 Yea, the stork in the heaven knoweth her appointed times; and the turtle and the crane and the swallow observe the time of their coming; but my people know not the judgment of the LORD.(KJV-1611) Jer 8:7 Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:8 ============ Jer 8:8 How do ye say, We are wise, and the law of the LORD is with us? Lo, certainly in vain made he it; the pen of the scribes is in vain.(KJV-1611) Jer 8:8 Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l' di sa li pa di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:9 ============ Jer 8:9 The wise men are ashamed, they are dismayed and taken: lo, they have rejected the word of the LORD; and what wisdom is in them?(KJV-1611) Jer 8:9 Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a?(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:10 ============ Jer 8:10 Therefore will I give their wives unto others, and their fields to them that shall inherit them: for every one from the least even unto the greatest is given to covetousness, from the prophet even unto the priest every one dealeth falsely.(KJV-1611) Jer 8:10 Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:11 ============ Jer 8:11 For they have healed the hurt of the daughter of my people slightly, saying, Peace, peace; when there is no peace.(KJV-1611) Jer 8:11 Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:12 ============ Jer 8:12 Were they ashamed when they had committed abomination? nay, they were not at all ashamed, neither could they blush: therefore shall they fall among them that fall: in the time of their visitation they shall be cast down, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 8:12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:13 ============ Jer 8:13 I will surely consume them, saith the LORD: there shall be no grapes on the vine, nor figs on the fig tree, and the leaf shall fade; and the things that I have given them shall pass away from them.(KJV-1611) Jer 8:13 Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:14 ============ Jer 8:14 Why do we sit still? assemble yourselves, and let us enter into the defenced cities, and let us be silent there: for the LORD our God hath put us to silence, and given us water of gall to drink, because we have sinned against the LORD.(KJV-1611) Jer 8:14 Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:15 ============ Jer 8:15 We looked for peace, but no good came; and for a time of health, and behold trouble!(KJV-1611) Jer 8:15 Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:16 ============ Jer 8:16 The snorting of his horses was heard from Dan: the whole land trembled at the sound of the neighing of his strong ones; for they are come, and have devoured the land, and all that is in it; the city, and those that dwell therein.(KJV-1611) Jer 8:16 Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:17 ============ Jer 8:17 For, behold, I will send serpents, cockatrices, among you, which will not be charmed, and they shall bite you, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 8:17 Seyè a di ankò: -Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:18 ============ Jer 8:18 When I would comfort myself against sorrow, my heart is faint in me.(KJV-1611) Jer 8:18 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m' ap fann!(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:19 ============ Jer 8:19 Behold the voice of the cry of the daughter of my people because of them that dwell in a far country: Is not the LORD in Zion? is not her king in her? Why have they provoked me to anger with their graven images, and with strange vanities?(KJV-1611) Jer 8:19 Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:20 ============ Jer 8:20 The harvest is past, the summer is ended, and we are not saved.(KJV-1611) Jer 8:20 Pèp la ap rele: -Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk koulye a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:21 ============ Jer 8:21 For the hurt of the daughter of my people am I hurt; I am black; astonishment hath taken hold on me.(KJV-1611) Jer 8:21 Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 8:22 ============ Jer 8:22 Is there no balm in Gilead; is there no physician there? why then is not the health of the daughter of my people recovered?(KJV-1611) Jer 8:22 Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:1 ============ Jer 9:1 Oh that my head were waters, and mine eyes a fountain of tears, that I might weep day and night for the slain of the daughter of my people!(KJV-1611) Jer 9:1 Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:2 ============ Jer 9:2 Oh that I had in the wilderness a lodging place of wayfaring men; that I might leave my people, and go from them! for they be all adulterers, an assembly of treacherous men.(KJV-1611) Jer 9:2 Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:3 ============ Jer 9:3 And they bend their tongues like their bow for lies: but they are not valiant for the truth upon the earth; for they proceed from evil to evil, and they know not me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 9:3 Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:4 ============ Jer 9:4 Take ye heed every one of his neighbour, and trust ye not in any brother: for every brother will utterly supplant, and every neighbour will walk with slanders.(KJV-1611) Jer 9:4 Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:5 ============ Jer 9:5 And they will deceive every one his neighbour, and will not speak the truth: they have taught their tongue to speak lies, and weary themselves to commit iniquity.(KJV-1611) Jer 9:5 Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:6 ============ Jer 9:6 Thine habitation is in the midst of deceit; through deceit they refuse to know me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 9:6 Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:7 ============ Jer 9:7 Therefore thus saith the LORD of hosts, Behold, I will melt them, and try them; for how shall I do for the daughter of my people?(KJV-1611) Jer 9:7 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:8 ============ Jer 9:8 Their tongue is as an arrow shot out; it speaketh deceit: one speaketh peaceably to his neighbour with his mouth, but in heart he layeth his wait.(KJV-1611) Jer 9:8 Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:9 ============ Jer 9:9 Shall I not visit them for these things? saith the LORD: shall not my soul be avenged on such a nation as this?(KJV-1611) Jer 9:9 Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:10 ============ Jer 9:10 For the mountains will I take up a weeping and wailing, and for the habitations of the wilderness a lamentation, because they are burned up, so that none can pass through them; neither can men hear the voice of the cattle; both the fowl of the heavens and the beast are fled; they are gone.(KJV-1611) Jer 9:10 Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:11 ============ Jer 9:11 And I will make Jerusalem heaps, and a den of dragons; and I will make the cities of Judah desolate, without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 9:11 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:12 ============ Jer 9:12 Who is the wise man, that may understand this? and who is he to whom the mouth of the LORD hath spoken, that he may declare it, for what the land perisheth and is burned up like a wilderness, that none passeth through?(KJV-1611) Jer 9:12 Mwen mande ki moun gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Seyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l' fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pesonn ladan l' ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:13 ============ Jer 9:13 And the LORD saith, Because they have forsaken my law which I set before them, and have not obeyed my voice, neither walked therein;(KJV-1611) Jer 9:13 Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:14 ============ Jer 9:14 But have walked after the imagination of their own heart, and after Baalim, which their fathers taught them:(KJV-1611) Jer 9:14 Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:15 ============ Jer 9:15 Therefore thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will feed them, even this people, with wormwood, and give them water of gall to drink.(KJV-1611) Jer 9:15 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:16 ============ Jer 9:16 I will scatter them also among the heathen, whom neither they nor their fathers have known: and I will send a sword after them, till I have consumed them.(KJV-1611) Jer 9:16 Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:17 ============ Jer 9:17 Thus saith the LORD of hosts, Consider ye, and call for the mourning women, that they may come; and send for cunning women, that they may come:(KJV-1611) Jer 9:17 Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:18 ============ Jer 9:18 And let them make haste, and take up a wailing for us, that our eyes may run down with tears, and our eyelids gush out with waters.(KJV-1611) Jer 9:18 Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:19 ============ Jer 9:19 For a voice of wailing is heard out of Zion, How are we spoiled! we are greatly confounded, because we have forsaken the land, because our dwellings have cast us out.(KJV-1611) Jer 9:19 Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. -Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:20 ============ Jer 9:20 Yet hear the word of the LORD, O ye women, and let your ear receive the word of his mouth, and teach your daughters wailing, and every one her neighbour lamentation.(KJV-1611) Jer 9:20 Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:21 ============ Jer 9:21 For death is come up into our windows, and is entered into our palaces, to cut off the children from without, and the young men from the streets.(KJV-1611) Jer 9:21 Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:22 ============ Jer 9:22 Speak, Thus saith the LORD, Even the carcases of men shall fall as dung upon the open field, and as the handful after the harvestman, and none shall gather them.(KJV-1611) Jer 9:22 Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:23 ============ Jer 9:23 Thus saith the LORD, Let not the wise man glory in his wisdom, neither let the mighty man glory in his might, let not the rich man glory in his riches:(KJV-1611) Jer 9:23 Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:24 ============ Jer 9:24 But let him that glorieth glory in this, that he understandeth and knoweth me, that I am the LORD which exercise lovingkindness, judgment, and righteousness, in the earth: for in these things I delight, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 9:24 Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:25 ============ Jer 9:25 Behold, the days come, saith the LORD, that I will punish all them which are circumcised with the uncircumcised;(KJV-1611) Jer 9:25 Seyè a di ankò: -Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m' lan sou kò yo, men ki pa konnen m' nan kè yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 9:26 ============ Jer 9:26 Egypt, and Judah, and Edom, and the children of Ammon, and Moab, and all that are in the utmost corners, that dwell in the wilderness: for all these nations are uncircumcised, and all the house of Israel are uncircumcised in the heart.(KJV-1611) Jer 9:26 moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m' lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m' lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:1 ============ Jer 10:1 Hear ye the word which the LORD speaketh unto you, O house of Israel:(KJV-1611) Jer 10:1 Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:2 ============ Jer 10:2 Thus saith the LORD, Learn not the way of the heathen, and be not dismayed at the signs of heaven; for the heathen are dismayed at them.(KJV-1611) Jer 10:2 Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:3 ============ Jer 10:3 For the customs of the people are vain: for one cutteth a tree out of the forest, the work of the hands of the workman, with the axe.(KJV-1611) Jer 10:3 Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:4 ============ Jer 10:4 They deck it with silver and with gold; they fasten it with nails and with hammers, that it move not.(KJV-1611) Jer 10:4 Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:5 ============ Jer 10:5 They are upright as the palm tree, but speak not: they must needs be borne, because they cannot go. Be not afraid of them; for they cannot do evil, neither also is it in them to do good.(KJV-1611) Jer 10:5 Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:6 ============ Jer 10:6 Forasmuch as there is none like unto thee, O LORD; thou art great, and thy name is great in might.(KJV-1611) Jer 10:6 Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:7 ============ Jer 10:7 Who would not fear thee, O King of nations? for to thee doth it appertain: forasmuch as among all the wise men of the nations, and in all their kingdoms, there is none like unto thee.(KJV-1611) Jer 10:7 Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:8 ============ Jer 10:8 But they are altogether brutish and foolish: the stock is a doctrine of vanities.(KJV-1611) Jer 10:8 Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:9 ============ Jer 10:9 Silver spread into plates is brought from Tarshish, and gold from Uphaz, the work of the workman, and of the hands of the founder: blue and purple is their clothing: they are all the work of cunning men.(KJV-1611) Jer 10:9 Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:10 ============ Jer 10:10 But the LORD is the true God, he is the living God, and an everlasting king: at his wrath the earth shall tremble, and the nations shall not be able to abide his indignation.(KJV-1611) Jer 10:10 Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:11 ============ Jer 10:11 Thus shall ye say unto them, The gods that have not made the heavens and the earth, even they shall perish from the earth, and from under these heavens.(KJV-1611) Jer 10:11 Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:12 ============ Jer 10:12 He hath made the earth by his power, he hath established the world by his wisdom, and hath stretched out the heavens by his discretion.(KJV-1611) Jer 10:12 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:13 ============ Jer 10:13 When he uttereth his voice, there is a multitude of waters in the heavens, and he causeth the vapours to ascend from the ends of the earth; he maketh lightnings with rain, and bringeth forth the wind out of his treasures.(KJV-1611) Jer 10:13 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:14 ============ Jer 10:14 Every man is brutish in his knowledge: every founder is confounded by the graven image: for his molten image is falsehood, and there is no breath in them.(KJV-1611) Jer 10:14 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:15 ============ Jer 10:15 They are vanity, and the work of errors: in the time of their visitation they shall perish.(KJV-1611) Jer 10:15 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:16 ============ Jer 10:16 The portion of Jacob is not like them: for he is the former of all things; and Israel is the rod of his inheritance: The LORD of hosts is his name.(KJV-1611) Jer 10:16 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:17 ============ Jer 10:17 Gather up thy wares out of the land, O inhabitant of the fortress.(KJV-1611) Jer 10:17 Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:18 ============ Jer 10:18 For thus saith the LORD, Behold, I will sling out the inhabitants of the land at this once, and will distress them, that they may find it so.(KJV-1611) Jer 10:18 Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:19 ============ Jer 10:19 Woe is me for my hurt! my wound is grievous; but I said, Truly this is a grief, and I must bear it.(KJV-1611) Jer 10:19 Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:20 ============ Jer 10:20 My tabernacle is spoiled, and all my cords are broken: my children are gone forth of me, and they are not: there is none to stretch forth my tent any more, and to set up my curtains.(KJV-1611) Jer 10:20 Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:21 ============ Jer 10:21 For the pastors are become brutish, and have not sought the LORD: therefore they shall not prosper, and all their flocks shall be scattered.(KJV-1611) Jer 10:21 Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:22 ============ Jer 10:22 Behold, the noise of the bruit is come, and a great commotion out of the north country, to make the cities of Judah desolate, and a den of dragons.(KJV-1611) Jer 10:22 Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:23 ============ Jer 10:23 O LORD, I know that the way of man is not in himself: it is not in man that walketh to direct his steps.(KJV-1611) Jer 10:23 Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:24 ============ Jer 10:24 O LORD, correct me, but with judgment; not in thine anger, lest thou bring me to nothing.(KJV-1611) Jer 10:24 Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 10:25 ============ Jer 10:25 Pour out thy fury upon the heathen that know thee not, and upon the families that call not on thy name: for they have eaten up Jacob, and devoured him, and consumed him, and have made his habitation desolate.(KJV-1611) Jer 10:25 Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:1 ============ Jer 11:1 The word that came to Jeremiah from the LORD saying,(KJV-1611) Jer 11:1 Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:2 ============ Jer 11:2 Hear ye the words of this covenant, and speak unto the men of Judah, and to the inhabitants of Jerusalem;(KJV-1611) Jer 11:2 -Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:3 ============ Jer 11:3 And say thou unto them, Thus saith the LORD God of Israel; Cursed be the man that obeyeth not the words of this covenant,(KJV-1611) Jer 11:3 W'a di yo men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:4 ============ Jer 11:4 Which I commanded your fathers in the day that I brought them forth out of the land of Egypt, from the iron furnace, saying, Obey my voice, and do them, according to all which I command you: so shall ye be my people, and I will be your God:(KJV-1611) Jer 11:4 Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:5 ============ Jer 11:5 That I may perform the oath which I have sworn unto your fathers, to give them a land flowing with milk and honey, as it is this day. Then answered I, and said, So be it, O LORD.(KJV-1611) Jer 11:5 Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè!(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:6 ============ Jer 11:6 Then the LORD said unto me, Proclaim all these words in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem, saying, Hear ye the words of this covenant, and do them.(KJV-1611) Jer 11:6 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:7 ============ Jer 11:7 For I earnestly protested unto your fathers in the day that I brought them up out of the land of Egypt, even unto this day, rising early and protesting, saying, Obey my voice.(KJV-1611) Jer 11:7 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:8 ============ Jer 11:8 Yet they obeyed not, nor inclined their ear, but walked every one in the imagination of their evil heart: therefore I will bring upon them all the words of this covenant, which I commanded them to do: but they did them not.(KJV-1611) Jer 11:8 Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m' te di yo sa nan kontra a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:9 ============ Jer 11:9 And the LORD said unto me, A conspiracy is found among the men of Judah, and among the inhabitants of Jerusalem.(KJV-1611) Jer 11:9 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Moun Jida ak moun lavil Jerizalèm moute konplo sou do mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:10 ============ Jer 11:10 They are turned back to the iniquities of their forefathers, which refused to hear my words; and they went after other gods to serve them: the house of Israel and the house of Judah have broken my covenant which I made with their fathers.(KJV-1611) Jer 11:10 Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m' t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:11 ============ Jer 11:11 Therefore thus saith the LORD, Behold, I will bring evil upon them, which they shall not be able to escape; and though they shall cry unto me, I will not hearken unto them.(KJV-1611) Jer 11:11 Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:12 ============ Jer 11:12 Then shall the cities of Judah and inhabitants of Jerusalem go, and cry unto the gods unto whom they offer incense: but they shall not save them at all in the time of their trouble.(KJV-1611) Jer 11:12 Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:13 ============ Jer 11:13 For according to the number of thy cities were thy gods, O Judah; and according to the number of the streets of Jerusalem have ye set up altars to that shameful thing, even altars to burn incense unto Baal.(KJV-1611) Jer 11:13 Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:14 ============ Jer 11:14 Therefore pray not thou for this people, neither lift up a cry or prayer for them: for I will not hear them in the time that they cry unto me for their trouble.(KJV-1611) Jer 11:14 Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:15 ============ Jer 11:15 What hath my beloved to do in mine house, seeing she hath wrought lewdness with many, and the holy flesh is passed from thee? when thou doest evil, then thou rejoicest.(KJV-1611) Jer 11:15 Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:16 ============ Jer 11:16 The LORD called thy name, A green olive tree, fair, and of goodly fruit: with the noise of a great tumult he hath kindled fire upon it, and the branches of it are broken.(KJV-1611) Jer 11:16 Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:17 ============ Jer 11:17 For the LORD of hosts, that planted thee, hath pronounced evil against thee, for the evil of the house of Israel and of the house of Judah, which they have done against themselves to provoke me to anger in offering incense unto Baal.(KJV-1611) Jer 11:17 Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal!(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:18 ============ Jer 11:18 And the LORD hath given me knowledge of it, and I know it: then thou shewedst me their doings.(KJV-1611) Jer 11:18 Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:19 ============ Jer 11:19 But I was like a lamb or an ox that is brought to the slaughter; and I knew not that they had devised devices against me, saying, Let us destroy the tree with the fruit thereof, and let us cut him off from the land of the living, that his name may be no more remembered.(KJV-1611) Jer 11:19 Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:20 ============ Jer 11:20 But, O LORD of hosts, that judgest righteously, that triest the reins and the heart, let me see thy vengeance on them: for unto thee have I revealed my cause.(KJV-1611) Jer 11:20 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:21 ============ Jer 11:21 Therefore thus saith the LORD of the men of Anathoth, that seek thy life, saying, Prophesy not in the name of the LORD, that thou die not by our hand:(KJV-1611) Jer 11:21 Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:22 ============ Jer 11:22 Therefore thus saith the LORD of hosts, Behold, I will punish them: the young men shall die by the sword; their sons and their daughters shall die by famine:(KJV-1611) Jer 11:22 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 11:23 ============ Jer 11:23 And there shall be no remnant of them: for I will bring evil upon the men of Anathoth, even the year of their visitation.(KJV-1611) Jer 11:23 Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:1 ============ Jer 12:1 Righteous art thou, O LORD, when I plead with thee: yet let me talk with thee of thy judgments: Wherefore doth the way of the wicked prosper? wherefore are all they happy that deal very treacherously?(KJV-1611) Jer 12:1 Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa?(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:2 ============ Jer 12:2 Thou hast planted them, yea, they have taken root: they grow, yea, they bring forth fruit: thou art near in their mouth, and far from their reins.(KJV-1611) Jer 12:2 Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:3 ============ Jer 12:3 But thou, O LORD, knowest me: thou hast seen me, and tried mine heart toward thee: pull them out like sheep for the slaughter, and prepare them for the day of slaughter.(KJV-1611) Jer 12:3 Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:4 ============ Jer 12:4 How long shall the land mourn, and the herbs of every field wither, for the wickedness of them that dwell therein? the beasts are consumed, and the birds; because they said, He shall not see our last end.(KJV-1611) Jer 12:4 Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:5 ============ Jer 12:5 If thou hast run with the footmen, and they have wearied thee, then how canst thou contend with horses? and if in the land of peace, wherein thou trustedst, they wearied thee, then how wilt thou do in the swelling of Jordan?(KJV-1611) Jer 12:5 Seyè a di: -Jeremi, si ou pèdi souf lè w'ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje, ou gen kè poze, kisa w'a fè lè larivyè Jouden ap desann?(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:6 ============ Jer 12:6 For even thy brethren, and the house of thy father, even they have dealt treacherously with thee; yea, they have called a multitude after thee: believe them not, though they speak fair words unto thee.(KJV-1611) Jer 12:6 Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:7 ============ Jer 12:7 I have forsaken mine house, I have left mine heritage; I have given the dearly beloved of my soul into the hand of her enemies.(KJV-1611) Jer 12:7 Seyè a di ankò: -Mwen lage pèp Izrayèl la, mwen voye pèp mwen te chwazi a jete, mwen lage pèp mwen te renmen anpil la nan men lènmi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:8 ============ Jer 12:8 Mine heritage is unto me as a lion in the forest; it crieth out against me: therefore have I hated it.(KJV-1611) Jer 12:8 Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:9 ============ Jer 12:9 Mine heritage is unto me as a speckled bird, the birds round about are against her; come ye, assemble all the beasts of the field, come to devour.(KJV-1611) Jer 12:9 Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:10 ============ Jer 12:10 Many pastors have destroyed my vineyard, they have trodden my portion under foot, they have made my pleasant portion a desolate wilderness.(KJV-1611) Jer 12:10 Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:11 ============ Jer 12:11 They have made it desolate, and being desolate it mourneth unto me; the whole land is made desolate, because no man layeth it to heart.(KJV-1611) Jer 12:11 Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:12 ============ Jer 12:12 The spoilers are come upon all high places through the wilderness: for the sword of the LORD shall devour from the one end of the land even to the other end of the land: no flesh shall have peace.(KJV-1611) Jer 12:12 Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:13 ============ Jer 12:13 They have sown wheat, but shall reap thorns: they have put themselves to pain, but shall not profit: and they shall be ashamed of your revenues because of the fierce anger of the LORD.(KJV-1611) Jer 12:13 Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Seyè a move anpil.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:14 ============ Jer 12:14 Thus saith the LORD against all mine evil neighbours, that touch the inheritance which I have caused my people Israel to inherit; Behold, I will pluck them out of their land, and pluck out the house of Judah from among them.(KJV-1611) Jer 12:14 Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:15 ============ Jer 12:15 And it shall come to pass, after that I have plucked them out I will return, and have compassion on them, and will bring them again, every man to his heritage, and every man to his land.(KJV-1611) Jer 12:15 Men, lè m'a fin rache yo, m'a gen pitye pou yo. M'a fè yo tounen lakay yo, nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:16 ============ Jer 12:16 And it shall come to pass, if they will diligently learn the ways of my people, to swear by my name, The LORD liveth; as they taught my people to swear by Baal; then shall they be built in the midst of my people.(KJV-1611) Jer 12:16 Si lè sa a yo aprann viv byen tankou pèp mwen, si yo pran non m' pou fè sèman sa a: Nan non Seyè ki vivan an!, menm jan yo te moutre pèp mwen an pou li fè sèman nan non Baal, enben, lè sa a yo menm tou, y'a fè pati pèp mwen an, epi zafè yo va mache byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 12:17 ============ Jer 12:17 But if they will not obey, I will utterly pluck up and destroy that nation, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 12:17 Men, si yon nasyon pa koute m', m'ap rache l', m'ap derasinen l', m'ap detwi li nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:1 ============ Jer 13:1 Thus saith the LORD unto me, Go and get thee a linen girdle, and put it upon thy loins, and put it not in water.(KJV-1611) Jer 13:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa: -Al achte yon sentiwon lenn, mare l' nan ren ou. Men, piga ou tranpe l' nan dlo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:2 ============ Jer 13:2 So I got a girdle according to the word of the LORD, and put it on my loins.(KJV-1611) Jer 13:2 Se konsa m' achte yon sentiwon jan Seyè a te di m' lan. Mwen mare l' nan ren mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:3 ============ Jer 13:3 And the word of the LORD came unto me the second time, saying,(KJV-1611) Jer 13:3 Apre sa, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:4 ============ Jer 13:4 Take the girdle that thou hast got, which is upon thy loins, and arise, go to Euphrates, and hide it there in a hole of the rock.(KJV-1611) Jer 13:4 -Pran sentiwon lenn ou te achte a, sa ki mare nan ren ou lan, ale bò larivyè Lefrat la. W'a kache l' nan yon fant wòch.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:5 ============ Jer 13:5 So I went, and hid it by Euphrates, as the LORD commanded me.(KJV-1611) Jer 13:5 Mwen leve vre, m' ale bò larivyè Lefrat la, mwen kache l' jan Seyè a te ban m' lòd la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:6 ============ Jer 13:6 And it came to pass after many days, that the LORD said unto me, Arise, go to Euphrates, and take the girdle from thence, which I commanded thee to hide there.(KJV-1611) Jer 13:6 Apre yon bon ti tan, Seyè a di m' konsa: -Leve non! Tounen bò larivyè Lefrat la, al pran sentiwon mwen te ba ou lòd kache a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:7 ============ Jer 13:7 Then I went to Euphrates, and digged, and took the girdle from the place where I had hid it: and, behold, the girdle was marred, it was profitable for nothing.(KJV-1611) Jer 13:7 Se konsa, m' ale bò larivyè Lefrat la, mwen chache, mwen pran sentiwon an kote m' te kache l' la. Men, li te gate, li pa t' vo anyen ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:8 ============ Jer 13:8 Then the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Jer 13:8 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:9 ============ Jer 13:9 Thus saith the LORD, After this manner will I mar the pride of Judah, and the great pride of Jerusalem.(KJV-1611) Jer 13:9 -Men ki jan mwen pral kraze lògèy moun granpanpan peyi Jida yo, ak gwo lògèy moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:10 ============ Jer 13:10 This evil people, which refuse to hear my words, which walk in the imagination of their heart, and walk after other gods, to serve them, and to worship them, shall even be as this girdle, which is good for nothing.(KJV-1611) Jer 13:10 Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:11 ============ Jer 13:11 For as the girdle cleaveth to the loins of a man, so have I caused to cleave unto me the whole house of Israel and the whole house of Judah, saith the LORD; that they might be unto me for a people, and for a name, and for a praise, and for a glory: but they would not hear.(KJV-1611) Jer 13:11 Menm jan moun mare sentiwon nan ren yo, se konsa mwen te vle pou moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo te mare avè m', pou yo te ka yon pèp apa pou mwen, yon non, yon lwanj, yon bèl bagay pou mwen. Men yo pa koute m'. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:12 ============ Jer 13:12 Therefore thou shalt speak unto them this word; Thus saith the LORD God of Israel, Every bottle shall be filled with wine: and they shall say unto thee, Do we not certainly know that every bottle shall be filled with wine?(KJV-1611) Jer 13:12 W'a di yo pawoli sa a: Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Y'a reponn ou: Men wi, tout potich diven fèt pou mete diven ladan l'. Se bagay nou konnen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:13 ============ Jer 13:13 Then shalt thou say unto them, Thus saith the LORD, Behold, I will fill all the inhabitants of this land, even the kings that sit upon David's throne, and the priests, and the prophets, and all the inhabitants of Jerusalem, with drunkenness.(KJV-1611) Jer 13:13 Lè sa a w'a di yo: Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen pral plen vant tout moun nan peyi a ak diven jouk yo sou, depi wa a ki chita sou fotèy David la, prèt yo, pwofèt yo, jouk dènye moun ki rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:14 ============ Jer 13:14 And I will dash them one against another, even the fathers and the sons together, saith the LORD: I will not pity, nor spare, nor have mercy, but destroy them.(KJV-1611) Jer 13:14 Apre sa, m'ap frape yo yonn ak lòt pou yo kraze, granmoun kou timoun, tout ansanm. M'ap san pitye, mwen p'ap kite yonn chape. Mwen p'ap pran priyè, m'ap touye yo tout.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:15 ============ Jer 13:15 Hear ye, and give ear; be not proud: for the LORD hath spoken.(KJV-1611) Jer 13:15 Nou menm pèp Izrayèl, Seyè a ap pale, louvri zòrèy nou pou nou tande! Pa fè gwo kòlèt!(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:16 ============ Jer 13:16 Give glory to the LORD your God, before he cause darkness, and before your feet stumble upon the dark mountains, and, while ye look for light, he turn it into the shadow of death, and make it gross darkness.(KJV-1611) Jer 13:16 Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:17 ============ Jer 13:17 But if ye will not hear it, my soul shall weep in secret places for your pride; and mine eye shall weep sore, and run down with tears, because the LORD's flock is carried away captive.(KJV-1611) Jer 13:17 Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:18 ============ Jer 13:18 Say unto the king and to the queen, Humble yourselves, sit down: for your principalities shall come down, even the crown of your glory.(KJV-1611) Jer 13:18 Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:19 ============ Jer 13:19 The cities of the south shall be shut up, and none shall open them: Judah shall be carried away captive all of it, it shall be wholly carried away captive.(KJV-1611) Jer 13:19 Yo sènen tout lavil ki nan sid peyi Jida a. Pesonn pa ka pase. Yo depòte dènye moun peyi Jida yo. Yo pa kite yonn deyò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:20 ============ Jer 13:20 Lift up your eyes, and behold them that come from the north: where is the flock that was given thee, thy beautiful flock?(KJV-1611) Jer 13:20 Jerizalèm, leve je ou gade. Gade lènmi ou yo k'ap desann soti nan nò! Kote moun ki te sou kont ou yo, moun ki t'ap fè ou mache tèt byen wo a?(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:21 ============ Jer 13:21 What wilt thou say when he shall punish thee? for thou hast taught them to be captains, and as chief over thee: shall not sorrows take thee, as a woman in travail?(KJV-1611) Jer 13:21 Kisa w'a di lè w'a wè moun ou te kwè ki te zanmi ou yo leve dèyè ou pou yo vin chèf sou ou nan peyi ou? Ou pral nan lapenn tankou yon fanm ansent ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:22 ============ Jer 13:22 And if thou say in thine heart, Wherefore come these things upon me? For the greatness of thine iniquity are thy skirts discovered, and thy heels made bare.(KJV-1611) Jer 13:22 W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:23 ============ Jer 13:23 Can the Ethiopian change his skin, or the leopard his spots? then may ye also do good, that are accustomed to do evil.(KJV-1611) Jer 13:23 Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:24 ============ Jer 13:24 Therefore will I scatter them as the stubble that passeth away by the wind of the wilderness.(KJV-1611) Jer 13:24 Mwen menm, Seyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:25 ============ Jer 13:25 This is thy lot, the portion of thy measures from me, saith the LORD; because thou hast forgotten me, and trusted in falsehood.(KJV-1611) Jer 13:25 Seyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m', nou t' al mete konfyans nou nan fo bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:26 ============ Jer 13:26 Therefore will I discover thy skirts upon thy face, that thy shame may appear.(KJV-1611) Jer 13:26 Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.(Creole-HT) ======= Jeremiah 13:27 ============ Jer 13:27 I have seen thine adulteries, and thy neighings, the lewdness of thy whoredom, and thine abominations on the hills in the fields. Woe unto thee, O Jerusalem! wilt thou not be made clean? when shall it once be?(KJV-1611) Jer 13:27 Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:1 ============ Jer 14:1 The word of the LORD that came to Jeremiah concerning the dearth.(KJV-1611) Jer 14:1 Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l':(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:2 ============ Jer 14:2 Judah mourneth, and the gates thereof languish; they are black unto the ground; and the cry of Jerusalem is gone up.(KJV-1611) Jer 14:2 -Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe!(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:3 ============ Jer 14:3 And their nobles have sent their little ones to the waters: they came to the pits, and found no water; they returned with their vessels empty; they were ashamed and confounded, and covered their heads.(KJV-1611) Jer 14:3 Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:4 ============ Jer 14:4 Because the ground is chapt, for there was no rain in the earth, the plowmen were ashamed, they covered their heads.(KJV-1611) Jer 14:4 Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:5 ============ Jer 14:5 Yea, the hind also calved in the field, and forsook it, because there was no grass.(KJV-1611) Jer 14:5 Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:6 ============ Jer 14:6 And the wild asses did stand in the high places, they snuffed up the wind like dragons; their eyes did fail, because there was no grass.(KJV-1611) Jer 14:6 Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:7 ============ Jer 14:7 O LORD, though our iniquities testify against us, do thou it for thy name's sake: for our backslidings are many; we have sinned against thee.(KJV-1611) Jer 14:7 Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:8 ============ Jer 14:8 O the hope of Israel, the saviour thereof in time of trouble, why shouldest thou be as a stranger in the land, and as a wayfaring man that turneth aside to tarry for a night?(KJV-1611) Jer 14:8 Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:9 ============ Jer 14:9 Why shouldest thou be as a man astonied, as a mighty man that cannot save? yet thou, O LORD, art in the midst of us, and we are called by thy name; leave us not.(KJV-1611) Jer 14:9 Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:10 ============ Jer 14:10 Thus saith the LORD unto this people, Thus have they loved to wander, they have not refrained their feet, therefore the LORD doth not accept them; he will now remember their iniquity, and visit their sins.(KJV-1611) Jer 14:10 Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:11 ============ Jer 14:11 Then said the LORD unto me, Pray not for this people for their good.(KJV-1611) Jer 14:11 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:12 ============ Jer 14:12 When they fast, I will not hear their cry; and when they offer burnt offering and an oblation, I will not accept them: but I will consume them by the sword, and by the famine, and by the pestilence.(KJV-1611) Jer 14:12 Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:13 ============ Jer 14:13 Then said I, Ah, Lord GOD! behold, the prophets say unto them, Ye shall not see the sword, neither shall ye have famine; but I will give you assured peace in this place.(KJV-1611) Jer 14:13 Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:14 ============ Jer 14:14 Then the LORD said unto me, The prophets prophesy lies in my name: I sent them not, neither have I commanded them, neither spake unto them: they prophesy unto you a false vision and divination, and a thing of nought, and the deceit of their heart.(KJV-1611) Jer 14:14 Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:15 ============ Jer 14:15 Therefore thus saith the LORD concerning the prophets that prophesy in my name, and I sent them not, yet they say, Sword and famine shall not be in this land; By sword and famine shall those prophets be consumed.(KJV-1611) Jer 14:15 Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:16 ============ Jer 14:16 And the people to whom they prophesy shall be cast out in the streets of Jerusalem because of the famine and the sword; and they shall have none to bury them, them, their wives, nor their sons, nor their daughters: for I will pour their wickedness upon them.(KJV-1611) Jer 14:16 Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:17 ============ Jer 14:17 Therefore thou shalt say this word unto them; Let mine eyes run down with tears night and day, and let them not cease: for the virgin daughter of my people is broken with a great breach, with a very grievous blow.(KJV-1611) Jer 14:17 Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:18 ============ Jer 14:18 If I go forth into the field, then behold the slain with the sword! and if I enter into the city, then behold them that are sick with famine! yea, both the prophet and the priest go about into a land that they know not.(KJV-1611) Jer 14:18 Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:19 ============ Jer 14:19 Hast thou utterly rejected Judah? hath thy soul lothed Zion? why hast thou smitten us, and there is no healing for us? we looked for peace, and there is no good; and for the time of healing, and behold trouble!(KJV-1611) Jer 14:19 Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:20 ============ Jer 14:20 We acknowledge, O LORD, our wickedness, and the iniquity of our fathers: for we have sinned against thee.(KJV-1611) Jer 14:20 Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:21 ============ Jer 14:21 Do not abhor us, for thy name's sake, do not disgrace the throne of thy glory: remember, break not thy covenant with us.(KJV-1611) Jer 14:21 Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l'. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 14:22 ============ Jer 14:22 Are there any among the vanities of the Gentiles that can cause rain? or can the heavens give showers? art not thou he, O LORD our God? therefore we will wait upon thee: for thou hast made all these things.(KJV-1611) Jer 14:22 Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:1 ============ Jer 15:1 Then said the LORD unto me, Though Moses and Samuel stood before me, yet my mind could not be toward this people: cast them out of my sight, and let them go forth.(KJV-1611) Jer 15:1 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:2 ============ Jer 15:2 And it shall come to pass, if they say unto thee, Whither shall we go forth? then thou shalt tell them, Thus saith the LORD; Such as are for death, to death; and such as are for the sword, to the sword; and such as are for the famine, to the famine; and such as are for the captivity, to the captivity.(KJV-1611) Jer 15:2 Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:3 ============ Jer 15:3 And I will appoint over them four kinds, saith the LORD: the sword to slay, and the dogs to tear, and the fowls of the heaven, and the beasts of the earth, to devour and destroy.(KJV-1611) Jer 15:3 Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:4 ============ Jer 15:4 And I will cause them to be removed into all kingdoms of the earth, because of Manasseh the son of Hezekiah king of Judah, for that which he did in Jerusalem.(KJV-1611) Jer 15:4 M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:5 ============ Jer 15:5 For who shall have pity upon thee, O Jerusalem? or who shall bemoan thee? or who shall go aside to ask how thou doest?(KJV-1611) Jer 15:5 Seyè a di: -Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou?(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:6 ============ Jer 15:6 Thou hast forsaken me, saith the LORD, thou art gone backward: therefore will I stretch out my hand against thee, and destroy thee; I am weary with repenting.(KJV-1611) Jer 15:6 Se nou menm ki voye m' jete. Se Seyè a menm ki di sa. Se nou menm ki vire do ban mwen. Se konsa, mwen leve men m' sou nou pou m' detwi nou, paske mwen bouke pran pasyans ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:7 ============ Jer 15:7 And I will fan them with a fan in the gates of the land; I will bereave them of children, I will destroy my people since they return not from their ways.(KJV-1611) Jer 15:7 Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:8 ============ Jer 15:8 Their widows are increased to me above the sand of the seas: I have brought upon them against the mother of the young men a spoiler at noonday: I have caused him to fall upon it suddenly, and terrors upon the city.(KJV-1611) Jer 15:8 Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:9 ============ Jer 15:9 She that hath borne seven languisheth: she hath given up the ghost; her sun is gone down while it was yet day: she hath been ashamed and confounded: and the residue of them will I deliver to the sword before their enemies, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 15:9 Manman ki pèdi sèt pitit la tonbe san konesans. Souf li kout. Gwo midi, solèy kouche pou li. Li wont, li pa konn sa pou l' fè ankò. M'ap lage sa ki vivan toujou nan nou yo nan men lènmi k'ap touye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:10 ============ Jer 15:10 Woe is me, my mother, that thou hast borne me a man of strife and a man of contention to the whole earth! I have neither lent on usury, nor men have lent to me on usury; yet every one of them doth curse me.(KJV-1611) Jer 15:10 Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:11 ============ Jer 15:11 The LORD said, Verily it shall be well with thy remnant; verily I will cause the enemy to entreat thee well in the time of evil and in the time of affliction.(KJV-1611) Jer 15:11 Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:12 ============ Jer 15:12 Shall iron break the northern iron and the steel?(KJV-1611) Jer 15:12 Pesonn pa ka kraze bout fè k'ap soti nan nò a, fè ki melanje ak kwiv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:13 ============ Jer 15:13 Thy substance and thy treasures will I give to the spoil without price, and that for all thy sins, even in all thy borders.(KJV-1611) Jer 15:13 Seyè a di m' ankò: -M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an, m'ap lage yo nan piyay. Se konsa yo pral peye pou tout peche yo te fè toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:14 ============ Jer 15:14 And I will make thee to pass with thine enemies into a land which thou knowest not: for a fire is kindled in mine anger, which shall burn upon you.(KJV-1611) Jer 15:14 M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo nan yon peyi nou pa konnen, paske nou fè m' fè kolè. Tankou yon dife m'ap boule nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:15 ============ Jer 15:15 O LORD, thou knowest: remember me, and visit me, and revenge me of my persecutors; take me not away in thy longsuffering: know that for thy sake I have suffered rebuke.(KJV-1611) Jer 15:15 Lè sa a mwen di: -Ou menm, Seyè, ou konn tout bagay. Pa bliye m' non! Vin pote m' sekou! Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m' yo! Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gen tan touye m'. Chonje se poutèt ou y'ap joure m' konsa!(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:16 ============ Jer 15:16 Thy words were found, and I did eat them; and thy word was unto me the joy and rejoicing of mine heart: for I am called by thy name, O LORD God of hosts.(KJV-1611) Jer 15:16 Lè ou pale avè m', mwen koute tou sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:17 ============ Jer 15:17 I sat not in the assembly of the mockers, nor rejoiced; I sat alone because of thy hand: for thou hast filled me with indignation.(KJV-1611) Jer 15:17 Mwen pa pèdi tan m' chita ak moun k'ap bay blag pou m' pran plezi m' ak yo. Ou te pran m' anba ponyèt ou. M' mete kò m' sou kote, paske ou te fè m' fache menm jan avè ou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:18 ============ Jer 15:18 Why is my pain perpetual, and my wound incurable, which refuseth to be healed? wilt thou be altogether unto me as a liar, and as waters that fail?(KJV-1611) Jer 15:18 Poukisa m'ap soufri san rete konsa? Poukisa kote m' blese a pa ka geri? M' pa ka jwenn renmèd pou li. Gen lè ou soti pou ou woule m'? Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l' vle.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:19 ============ Jer 15:19 Therefore thus saith the LORD, If thou return, then will I bring thee again, and thou shalt stand before me: and if thou take forth the precious from the vile, thou shalt be as my mouth: let them return unto thee; but return not thou unto them.(KJV-1611) Jer 15:19 Men sa Seyè a reponn mwen: -Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou, w'a kanpe devan m' ankò pou ou sèvi m'. Si ou sispann pale anlè pou se bon pawòl k'ap soti nan bouch ou ase, m'a fè ou pale pou mwen ankò. Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou. Ou p'ap bezwen al dèyè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:20 ============ Jer 15:20 And I will make thee unto this people a fenced brasen wall: and they shall fight against thee, but they shall not prevail against thee: for I am with thee to save thee and to deliver thee, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 15:20 M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 15:21 ============ Jer 15:21 And I will deliver thee out of the hand of the wicked, and I will redeem thee out of the hand of the terrible.(KJV-1611) Jer 15:21 M'ap delivre ou anba men mechan yo, m'ap fè ou soti anba ponyèt lwijanboje yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:1 ============ Jer 16:1 The word of the LORD came also unto me, saying,(KJV-1611) Jer 16:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:2 ============ Jer 16:2 Thou shalt not take thee a wife, neither shalt thou have sons or daughters in this place.(KJV-1611) Jer 16:2 -Pinga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:3 ============ Jer 16:3 For thus saith the LORD concerning the sons and concerning the daughters that are born in this place, and concerning their mothers that bare them, and concerning their fathers that begat them in this land;(KJV-1611) Jer 16:3 Paske se mwen menm Seyè a k'ap di ou sa ki pral rive pitit gason ak pitit fi ki fèt isit la, sa ki pral rive manman ak papa k'ap fè pitit nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:4 ============ Jer 16:4 They shall die of grievous deaths; they shall not be lamented; neither shall they be buried; but they shall be as dung upon the face of the earth: and they shall be consumed by the sword, and by famine; and their carcases shall be meat for the fowls of heaven, and for the beasts of the earth.(KJV-1611) Jer 16:4 Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:5 ============ Jer 16:5 For thus saith the LORD, Enter not into the house of mourning, neither go to lament nor bemoan them: for I have taken away my peace from this people, saith the LORD, even lovingkindness and mercies.(KJV-1611) Jer 16:5 Wi, men sa Seyè a di ankò: -Pa antre nan kay kote ki gen lanmò. Pa kriye pou pesonn! Pa moutre moun sa yo ou nan lapenn pou yo, paske mwen p'ap kite yo ak kè poze ankò. Se mwen Seyè a ki di sa. Mwen p'ap gen pitye pou yo ankò. Mwen p'ap fè byen pou yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:6 ============ Jer 16:6 Both the great and the small shall die in this land: they shall not be buried, neither shall men lament for them, nor cut themselves, nor make themselves bald for them:(KJV-1611) Jer 16:6 Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pesonn p'ap kriye pou yo. Pesonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:7 ============ Jer 16:7 Neither shall men tear themselves for them in mourning, to comfort them for the dead; neither shall men give them the cup of consolation to drink for their father or for their mother.(KJV-1611) Jer 16:7 Pesonn p'ap manje pen ak diven avèk moun ki nan lapenn, avèk moun ki gen lanmò nan fanmi yo. Pesonn p'ap moutre yo nan lapenn ak moun ki pèdi papa yo osinon manman yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:8 ============ Jer 16:8 Thou shalt not also go into the house of feasting, to sit with them to eat and to drink.(KJV-1611) Jer 16:8 Pa antre nan kay kote y'ap fè fèt non plis. Pa chita sou tab pou manje bwè ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:9 ============ Jer 16:9 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will cause to cease out of this place in your eyes, and in your days, the voice of mirth, and the voice of gladness, the voice of the bridegroom, and the voice of the bride.(KJV-1611) Jer 16:9 Paske men sa mwen menm, Seyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:10 ============ Jer 16:10 And it shall come to pass, when thou shalt shew this people all these words, and they shall say unto thee, Wherefore hath the LORD pronounced all this great evil against us? or what is our iniquity? or what is our sin that we have committed against the LORD our God?(KJV-1611) Jer 16:10 Lè w'a di yo tou sa, y'a mande ou: Men, poukisa Seyè a pran desizyon pou li voye gwo malè sa a sou nou? Kisa nou fè ki mal? Ki krim nou fè ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi?(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:11 ============ Jer 16:11 Then shalt thou say unto them, Because your fathers have forsaken me, saith the LORD, and have walked after other gods, and have served them, and have worshipped them, and have forsaken me, and have not kept my law;(KJV-1611) Jer 16:11 Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:12 ============ Jer 16:12 And ye have done worse than your fathers; for, behold, ye walk every one after the imagination of his evil heart, that they may not hearken unto me:(KJV-1611) Jer 16:12 Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:13 ============ Jer 16:13 Therefore will I cast you out of this land into a land that ye know not, neither ye nor your fathers; and there shall ye serve other gods day and night; where I will not shew you favour.(KJV-1611) Jer 16:13 Se konsa, m'ap mete nou deyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:14 ============ Jer 16:14 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that it shall no more be said, The LORD liveth, that brought up the children of Israel out of the land of Egypt;(KJV-1611) Jer 16:14 Se konsa, men sa Seyè a di: -Yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:15 ============ Jer 16:15 But, The LORD liveth, that brought up the children of Israel from the land of the north, and from all the lands whither he had driven them: and I will bring them again into their land that I gave unto their fathers.(KJV-1611) Jer 16:15 Lè sa a, y'a di pito: Se nan non Seyè a ki vivan, li menm ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi nan nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo. Wi, m'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:16 ============ Jer 16:16 Behold, I will send for many fishers, saith the LORD, and they shall fish them; and after will I send for many hunters, and they shall hunt them from every mountain, and from every hill, and out of the holes of the rocks.(KJV-1611) Jer 16:16 Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:17 ============ Jer 16:17 For mine eyes are upon all their ways: they are not hid from my face, neither is their iniquity hid from mine eyes.(KJV-1611) Jer 16:17 Je m' louvri sou tou sa y'ap fè. Anyen pa kache pou mwen. Yo mèt kache kò yo jan yo vle, mwen wè tou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:18 ============ Jer 16:18 And first I will recompense their iniquity and their sin double; because they have defiled my land, they have filled mine inheritance with the carcases of their detestable and abominable things.(KJV-1611) Jer 16:18 Pou konmanse, m'ap fè yo peye doub pou tout peche yo, pou tou sa yo fè ki mal, paske yo derespekte tout peyi m' lan ak vye zidòl yo ki tankou kadav santi. Yo plen peyi a ak fo bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:19 ============ Jer 16:19 O LORD, my strength, and my fortress, and my refuge in the day of affliction, the Gentiles shall come unto thee from the ends of the earth, and shall say, Surely our fathers have inherited lies, vanity, and things wherein there is no profit.(KJV-1611) Jer 16:19 Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:20 ============ Jer 16:20 Shall a man make gods unto himself, and they are no gods?(KJV-1611) Jer 16:20 Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 16:21 ============ Jer 16:21 Therefore, behold, I will this once cause them to know, I will cause them to know mine hand and my might; and they shall know that my name is The LORD.(KJV-1611) Jer 16:21 Se konsa, fwa sa a, mwen pral fè yo konprann. Fwa sa a, mwen pral fè yo konnen fòs ponyèt mwen. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Bondye sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:1 ============ Jer 17:1 The sin of Judah is written with a pen of iron, and with the point of a diamond: it is graven upon the table of their heart, and upon the horns of your altars;(KJV-1611) Jer 17:1 Seyè a di: -Yo ekri peche moun Jida yo ak yon sizo an fè. Li make nan kè nou ak yon pwent an dyaman. Li grave sou kat kwen lotèl nou yo,(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:2 ============ Jer 17:2 Whilst their children remember their altars and their groves by the green trees upon the high hills.(KJV-1611) Jer 17:2 pou pitit yo ka chonje tout lotèl yo ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:3 ============ Jer 17:3 O my mountain in the field, I will give thy substance and all thy treasures to the spoil, and thy high places for sin, throughout all thy borders.(KJV-1611) Jer 17:3 Nou menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo, m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:4 ============ Jer 17:4 And thou, even thyself, shalt discontinue from thine heritage that I gave thee; and I will cause thee to serve thine enemies in the land which thou knowest not: for ye have kindled a fire in mine anger, which shall burn for ever.(KJV-1611) Jer 17:4 Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pa t' janm konnen paske nou te fè m' fache. Kòlè m' tankou yon dife ki p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:5 ============ Jer 17:5 Thus saith the LORD; Cursed be the man that trusteth in man, and maketh flesh his arm, and whose heart departeth from the LORD.(KJV-1611) Jer 17:5 Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:6 ============ Jer 17:6 For he shall be like the heath in the desert, and shall not see when good cometh; but shall inhabit the parched places in the wilderness, in a salt land and not inhabited.(KJV-1611) Jer 17:6 Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:7 ============ Jer 17:7 Blessed is the man that trusteth in the LORD, and whose hope the LORD is.(KJV-1611) Jer 17:7 benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:8 ============ Jer 17:8 For he shall be as a tree planted by the waters, and that spreadeth out her roots by the river, and shall not see when heat cometh, but her leaf shall be green; and shall not be careful in the year of drought, neither shall cease from yielding fruit.(KJV-1611) Jer 17:8 L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:9 ============ Jer 17:9 The heart is deceitful above all things, and desperately wicked: who can know it?(KJV-1611) Jer 17:9 Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:10 ============ Jer 17:10 I the LORD search the heart, I try the reins, even to give every man according to his ways, and according to the fruit of his doings.(KJV-1611) Jer 17:10 Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:11 ============ Jer 17:11 As the partridge sitteth on eggs, and hatcheth them not; so he that getteth riches, and not by right, shall leave them in the midst of his days, and at his end shall be a fool.(KJV-1611) Jer 17:11 Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:12 ============ Jer 17:12 A glorious high throne from the beginning is the place of our sanctuary.(KJV-1611) Jer 17:12 Tanp nou an tankou yon bèl fotèy ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:13 ============ Jer 17:13 O LORD, the hope of Israel, all that forsake thee shall be ashamed, and they that depart from me shall be written in the earth, because they have forsaken the LORD, the fountain of living waters.(KJV-1611) Jer 17:13 Seyè! Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la. Tout moun ki lage ou pral wont. Moun ki vire do ba ou ap disparèt tankou non ki ekri sou sab, paske yo lage ou, Seyè, ou menm ki sous dlo fre a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:14 ============ Jer 17:14 Heal me, O LORD, and I shall be healed; save me, and I shall be saved: for thou art my praise.(KJV-1611) Jer 17:14 Seyè, geri m' non, m'a gaya! Delivre m' non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:15 ============ Jer 17:15 Behold, they say unto me, Where is the word of the LORD? let it come now.(KJV-1611) Jer 17:15 Moun yo ap di mwen: Kote sa Seyè a te di a? Se pou l' rive vre!(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:16 ============ Jer 17:16 As for me, I have not hastened from being a pastor to follow thee: neither have I desired the woeful day; thou knowest: that which came out of my lips was right before thee.(KJV-1611) Jer 17:16 Men, Seyè, mwen pa t' janm kole dèyè ou pou ou te voye malè sou yo! Mwen pa t' janm mande pou move tan tonbe sou yo! Seyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m' te di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:17 ============ Jer 17:17 Be not a terror unto me: thou art my hope in the day of evil.(KJV-1611) Jer 17:17 Tanpri, pa kite sa vire mal pou mwen! Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m'!(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:18 ============ Jer 17:18 Let them be confounded that persecute me, but let not me be confounded: let them be dismayed, but let not me be dismayed: bring upon them the day of evil, and destroy them with double destruction.(KJV-1611) Jer 17:18 Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:19 ============ Jer 17:19 Thus said the LORD unto me; Go and stand in the gate of the children of the people, whereby the kings of Judah come in, and by the which they go out, and in all the gates of Jerusalem;(KJV-1611) Jer 17:19 Men sa Seyè a di ankò: -Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre soti nan lavil la. W'a bay mesaj sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:20 ============ Jer 17:20 And say unto them, Hear ye the word of the LORD, ye kings of Judah, and all Judah, and all the inhabitants of Jerusalem, that enter in by these gates:(KJV-1611) Jer 17:20 W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Seyè a di:(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:21 ============ Jer 17:21 Thus saith the LORD; Take heed to yourselves, and bear no burden on the sabbath day, nor bring it in by the gates of Jerusalem;(KJV-1611) Jer 17:21 Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:22 ============ Jer 17:22 Neither carry forth a burden out of your houses on the sabbath day, neither do ye any work, but hallow ye the sabbath day, as I commanded your fathers.(KJV-1611) Jer 17:22 Pa pote chay soti lakay nou jou repo a. Piga nou fè ankenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Seyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:23 ============ Jer 17:23 But they obeyed not, neither inclined their ear, but made their neck stiff, that they might not hear, nor receive instruction.(KJV-1611) Jer 17:23 Men zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa okipe sa m' te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m'. Yo derefize fè sa m' te di yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:24 ============ Jer 17:24 And it shall come to pass, if ye diligently hearken unto me, saith the LORD, to bring in no burden through the gates of this city on the sabbath day, but hallow the sabbath day, to do no work therein;(KJV-1611) Jer 17:24 Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:25 ============ Jer 17:25 Then shall there enter into the gates of this city kings and princes sitting upon the throne of David, riding in chariots and on horses, they, and their princes, the men of Judah, and the inhabitants of Jerusalem: and this city shall remain for ever.(KJV-1611) Jer 17:25 lè sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fotèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:26 ============ Jer 17:26 And they shall come from the cities of Judah, and from the places about Jerusalem, and from the land of Benjamin, and from the plain, and from the mountains, and from the south, bringing burnt offerings, and sacrifices, and meat offerings, and incense, and bringing sacrifices of praise, unto the house of the LORD.(KJV-1611) Jer 17:26 Moun va soti nan tout lavil peyi Jida yo, nan tout vwazinaj lavil Jerizalèm lan, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo, nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule nèt pou Seyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann grenn jaden yo ak lansan, ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi nan kay Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 17:27 ============ Jer 17:27 But if ye will not hearken unto me to hallow the sabbath day, and not to bear a burden, even entering in at the gates of Jerusalem on the sabbath day; then will I kindle a fire in the gates thereof, and it shall devour the palaces of Jerusalem, and it shall not be quenched.(KJV-1611) Jer 17:27 Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:1 ============ Jer 18:1 The word which came to Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 18:1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:2 ============ Jer 18:2 Arise, and go down to the potter's house, and there I will cause thee to hear my words.(KJV-1611) Jer 18:2 -Leve non! Desann kay bòs k'ap fè krich yo. Rive la, m'a ba ou yon mesaj.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:3 ============ Jer 18:3 Then I went down to the potter's house, and, behold, he wrought a work on the wheels.(KJV-1611) Jer 18:3 Mwen desann vre kay bòs k'ap fè krich yo. Mwen wè msye t'ap bay yon krich fòm nan tou a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:4 ============ Jer 18:4 And the vessel that he made of clay was marred in the hand of the potter: so he made it again another vessel, as seemed good to the potter to make it.(KJV-1611) Jer 18:4 Depi krich li t'ap fè a pa t' soti byen, li kraze l', li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l' jan li te vle fè l' la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:5 ============ Jer 18:5 Then the word of the LORD came to me, saying,(KJV-1611) Jer 18:5 Lè sa a, Seyè a di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:6 ============ Jer 18:6 O house of Israel, cannot I do with you as this potter? saith the LORD. Behold, as the clay is in the potter's hand, so are ye in mine hand, O house of Israel.(KJV-1611) Jer 18:6 -Nou menm pèp Izrayèl, èske mwen pa gen dwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande!(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:7 ============ Jer 18:7 At what instant I shall speak concerning a nation, and concerning a kingdom, to pluck up, and to pull down, and to destroy it;(KJV-1611) Jer 18:7 Yon lè mwen pran desizyon pou m' derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou m' kraze l', pou m' detwi l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:8 ============ Jer 18:8 If that nation, against whom I have pronounced, turn from their evil, I will repent of the evil that I thought to do unto them.(KJV-1611) Jer 18:8 Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:9 ============ Jer 18:9 And at what instant I shall speak concerning a nation, and concerning a kingdom, to build and to plant it;(KJV-1611) Jer 18:9 Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:10 ============ Jer 18:10 If it do evil in my sight, that it obey not my voice, then I will repent of the good, wherewith I said I would benefit them.(KJV-1611) Jer 18:10 Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m' plezi, si li pa koute m', mwen p'ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:11 ============ Jer 18:11 Now therefore go to, speak to the men of Judah, and to the inhabitants of Jerusalem, saying, Thus saith the LORD; Behold, I frame evil against you, and devise a device against you: return ye now every one from his evil way, and make your ways and your doings good.(KJV-1611) Jer 18:11 Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:12 ============ Jer 18:12 And they said, There is no hope: but we will walk after our own devices, and we will every one do the imagination of his evil heart.(KJV-1611) Jer 18:12 Y'ap reponn ou: Se tan ou w'ap pèdi! N'ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N'ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:13 ============ Jer 18:13 Therefore thus saith the LORD; Ask ye now among the heathen, who hath heard such things: the virgin of Israel hath done a very horrible thing.(KJV-1611) Jer 18:13 Lè sa a, Seyè a di ankò: -Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa? Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:14 ============ Jer 18:14 Will a man leave the snow of Lebanon which cometh from the rock of the field? or shall the cold flowing waters that come from another place be forsaken?(KJV-1611) Jer 18:14 Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo? Eske ou janm wè ti sous dlo fre k'ap desann soti nan mòn yo cheche?(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:15 ============ Jer 18:15 Because my people hath forgotten me, they have burned incense to vanity, and they have caused them to stumble in their ways from the ancient paths, to walk in paths, in a way not cast up;(KJV-1611) Jer 18:15 Men, pèp mwen an bliye m'. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:16 ============ Jer 18:16 To make their land desolate, and a perpetual hissing; every one that passeth thereby shall be astonished, and wag his head.(KJV-1611) Jer 18:16 Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:17 ============ Jer 18:17 I will scatter them as with an east wind before the enemy; I will shew them the back, and not the face, in the day of their calamity.(KJV-1611) Jer 18:17 Se konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo, menm jan van lès gaye pousyè. M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo. M' p'ap okipe yo menm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:18 ============ Jer 18:18 Then said they, Come and let us devise devices against Jeremiah; for the law shall not perish from the priest, nor counsel from the wise, nor the word from the prophet. Come, and let us smite him with the tongue, and let us not give heed to any of his words.(KJV-1611) Jer 18:18 Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:19 ============ Jer 18:19 Give heed to me, O LORD, and hearken to the voice of them that contend with me.(KJV-1611) Jer 18:19 Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m'ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m' yo ap di sou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:20 ============ Jer 18:20 Shall evil be recompensed for good? for they have digged a pit for my soul. Remember that I stood before thee to speak good for them, and to turn away thy wrath from them.(KJV-1611) Jer 18:20 Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Chonje jan m' te kanpe devan ou pou m' te pale pou yo, pou m' te mande ou pa fè kòlè sou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:21 ============ Jer 18:21 Therefore deliver up their children to the famine, and pour out their blood by the force of the sword; and let their wives be bereaved of their children, and be widows; and let their men be put to death; let their young men be slain by the sword in battle.(KJV-1611) Jer 18:21 Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:22 ============ Jer 18:22 Let a cry be heard from their houses, when thou shalt bring a troop suddenly upon them: for they have digged a pit to take me, and hid snares for my feet.(KJV-1611) Jer 18:22 Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 18:23 ============ Jer 18:23 Yet, LORD, thou knowest all their counsel against me to slay me: forgive not their iniquity, neither blot out their sin from thy sight, but let them be overthrown before thee; deal thus with them in the time of thine anger.(KJV-1611) Jer 18:23 Men ou menm, Seyè, ou konnen tout konplo y'ap fè pou touye m'. Pa padonnen mechanste yo. Pa janm padonnen peche yo. Se pou yo tonbe atè la devan je ou. Lè ou an kòlè, regle yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:1 ============ Jer 19:1 Thus saith the LORD, Go and get a potter's earthen bottle, and take of the ancients of the people, and of the ancients of the priests;(KJV-1611) Jer 19:1 Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:2 ============ Jer 19:2 And go forth unto the valley of the son of Hinnom, which is by the entry of the east gate, and proclaim there the words that I shall tell thee,(KJV-1611) Jer 19:2 W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:3 ============ Jer 19:3 And say, Hear ye the word of the LORD, O kings of Judah, and inhabitants of Jerusalem; Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring evil upon this place, the which whosoever heareth, his ears shall tingle.(KJV-1611) Jer 19:3 Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:4 ============ Jer 19:4 Because they have forsaken me, and have estranged this place, and have burned incense in it unto other gods, whom neither they nor their fathers have known, nor the kings of Judah, and have filled this place with the blood of innocents;(KJV-1611) Jer 19:4 M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:5 ============ Jer 19:5 They have built also the high places of Baal, to burn their sons with fire for burnt offerings unto Baal, which I commanded not, nor spake it, neither came it into my mind:(KJV-1611) Jer 19:5 Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:6 ============ Jer 19:6 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that this place shall no more be called Tophet, nor The valley of the son of Hinnom, but The valley of slaughter.(KJV-1611) Jer 19:6 Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:7 ============ Jer 19:7 And I will make void the counsel of Judah and Jerusalem in this place; and I will cause them to fall by the sword before their enemies, and by the hands of them that seek their lives: and their carcases will I give to be meat for the fowls of the heaven, and for the beasts of the earth.(KJV-1611) Jer 19:7 Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:8 ============ Jer 19:8 And I will make this city desolate, and an hissing; every one that passeth thereby shall be astonished and hiss because of all the plagues thereof.(KJV-1611) Jer 19:8 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:9 ============ Jer 19:9 And I will cause them to eat the flesh of their sons and the flesh of their daughters, and they shall eat every one the flesh of his friend in the siege and straitness, wherewith their enemies, and they that seek their lives, shall straiten them.(KJV-1611) Jer 19:9 Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:10 ============ Jer 19:10 Then shalt thou break the bottle in the sight of the men that go with thee,(KJV-1611) Jer 19:10 Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:11 ============ Jer 19:11 And shalt say unto them, Thus saith the LORD of hosts; Even so will I break this people and this city, as one breaketh a potter's vessel, that cannot be made whole again: and they shall bury them in Tophet, till there be no place to bury.(KJV-1611) Jer 19:11 W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:12 ============ Jer 19:12 Thus will I do unto this place, saith the LORD, and to the inhabitants thereof, and even make this city as Tophet:(KJV-1611) Jer 19:12 Se sa mwen pwomèt pou m' fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l' yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:13 ============ Jer 19:13 And the houses of Jerusalem, and the houses of the kings of Judah, shall be defiled as the place of Tophet, because of all the houses upon whose roofs they have burned incense unto all the host of heaven, and have poured out drink offerings unto other gods.(KJV-1611) Jer 19:13 Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:14 ============ Jer 19:14 Then came Jeremiah from Tophet, whither the LORD had sent him to prophesy; and he stood in the court of the LORD's house; and said to all the people,(KJV-1611) Jer 19:14 Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l' al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 19:15 ============ Jer 19:15 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring upon this city and upon all her towns all the evil that I have pronounced against it, because they have hardened their necks, that they might not hear my words.(KJV-1611) Jer 19:15 -Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:1 ============ Jer 20:1 Now Pashur the son of Immer the priest, who was also chief governor in the house of the LORD, heard that Jeremiah prophesied these things.(KJV-1611) Jer 20:1 Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi t'ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:2 ============ Jer 20:2 Then Pashur smote Jeremiah the prophet, and put him in the stocks that were in the high gate of Benjamin, which was by the house of the LORD.(KJV-1611) Jer 20:2 Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l' nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:3 ============ Jer 20:3 And it came to pass on the morrow, that Pashur brought forth Jeremiah out of the stocks. Then said Jeremiah unto him, The LORD hath not called thy name Pashur, but Magormissabib.(KJV-1611) Jer 20:3 Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:4 ============ Jer 20:4 For thus saith the LORD, Behold, I will make thee a terror to thyself, and to all thy friends: and they shall fall by the sword of their enemies, and thine eyes shall behold it: and I will give all Judah into the hand of the king of Babylon, and he shall carry them captive into Babylon, and shall slay them with the sword.(KJV-1611) Jer 20:4 Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L'ap pran yon pati ladan yo, l'ap fè yo prizonye, l'ap depòte yo lavil Babilòn, l'ap touye lòt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:5 ============ Jer 20:5 Moreover I will deliver all the strength of this city, and all the labours thereof, and all the precious things thereof, and all the treasures of the kings of Judah will I give into the hand of their enemies, which shall spoil them, and take them, and carry them to Babylon.(KJV-1611) Jer 20:5 M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:6 ============ Jer 20:6 And thou, Pashur, and all that dwell in thine house shall go into captivity: and thou shalt come to Babylon, and there thou shalt die, and shalt be buried there, thou, and all thy friends, to whom thou hast prophesied lies.(KJV-1611) Jer 20:6 Ou menm menm, Pachou, y'ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y'ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w'a mouri, se la y'a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t'ap koute mesaj manti ou t'ap bay yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:7 ============ Jer 20:7 O LORD, thou hast deceived me, and I was deceived; thou art stronger than I, and hast prevailed: I am in derision daily, every one mocketh me.(KJV-1611) Jer 20:7 Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m'. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m'. Yo tout ap pase m' nan rizib.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:8 ============ Jer 20:8 For since I spake, I cried out, I cried violence and spoil; because the word of the LORD was made a reproach unto me, and a derision, daily.(KJV-1611) Jer 20:8 Chak fwa pou m' pale se rele pou m' rele. M'ap di byen fò: Men y'ap kraze brize! Men y'ap piye! Paske lè m'ap fè konnen mesaj ou, y'ap fè m' wont, y'ap pase m' nan betiz.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:9 ============ Jer 20:9 Then I said, I will not make mention of him, nor speak any more in his name. But his word was in mine heart as a burning fire shut up in my bones, and I was weary with forbearing, and I could not stay.(KJV-1611) Jer 20:9 Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:10 ============ Jer 20:10 For I heard the defaming of many, fear on every side. Report, say they, and we will report it. All my familiars watched for my halting, saying, Peradventure he will be enticed, and we shall prevail against him, and we shall take our revenge on him.(KJV-1611) Jer 20:10 Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:11 ============ Jer 20:11 But the LORD is with me as a mighty terrible one: therefore my persecutors shall stumble, and they shall not prevail: they shall be greatly ashamed; for they shall not prosper: their everlasting confusion shall never be forgotten.(KJV-1611) Jer 20:11 Men, Seyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m' yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pesonn p'ap janm bliye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:12 ============ Jer 20:12 But, O LORD of hosts, that triest the righteous, and seest the reins and the heart, let me see thy vengeance on them: for unto thee have I opened my cause.(KJV-1611) Jer 20:12 Seyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m' wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:13 ============ Jer 20:13 Sing unto the LORD, praise ye the LORD: for he hath delivered the soul of the poor from the hand of evildoers.(KJV-1611) Jer 20:13 Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:14 ============ Jer 20:14 Cursed be the day wherein I was born: let not the day wherein my mother bare me be blessed.(KJV-1611) Jer 20:14 Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m' te fè m' lan!(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:15 ============ Jer 20:15 Cursed be the man who brought tidings to my father, saying, A man child is born unto thee; making him very glad.(KJV-1611) Jer 20:15 Madichon pou moun ki t' al fè papa m' konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l' kontan lè sa a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:16 ============ Jer 20:16 And let that man be as the cities which the LORD overthrew, and repented not: and let him hear the cry in the morning, and the shouting at noontide;(KJV-1611) Jer 20:16 Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l' tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l'a tande siyal lagè,(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:17 ============ Jer 20:17 Because he slew me not from the womb; or that my mother might have been my grave, and her womb to be always great with me.(KJV-1611) Jer 20:17 Paske li pa t' touye m' anvan m' te fèt la, pou vant manman m' te tou sèvi m' kavo: li ta rete ansent mwen pou tout tan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 20:18 ============ Jer 20:18 Wherefore came I forth out of the womb to see labour and sorrow, that my days should be consumed with shame?(KJV-1611) Jer 20:18 Poukisa m' te fèt atò? Pou m' te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m' te ka mouri nan lawont?(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:1 ============ Jer 21:1 The word which came unto Jeremiah from the LORD, when king Zedekiah sent unto him Pashur the son of Melchiah, and Zephaniah the son of Maaseiah the priest, saying,(KJV-1611) Jer 21:1 Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:2 ============ Jer 21:2 Enquire, I pray thee, of the LORD for us; for Nebuchadrezzar king of Babylon maketh war against us; if so be that the LORD will deal with us according to all his wondrous works, that he may go up from us.(KJV-1611) Jer 21:2 Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:3 ============ Jer 21:3 Then said Jeremiah unto them, Thus shall ye say to Zedekiah:(KJV-1611) Jer 21:3 Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: -Men sa n' aval di wa Sedesyas pou mwen:(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:4 ============ Jer 21:4 Thus saith the LORD God of Israel; Behold, I will turn back the weapons of war that are in your hands, wherewith ye fight against the king of Babylon, and against the Chaldeans, which besiege you without the walls, and I will assemble them into the midst of this city.(KJV-1611) Jer 21:4 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:5 ============ Jer 21:5 And I myself will fight against you with an outstretched hand and with a strong arm, even in anger, and in fury, and in great wrath.(KJV-1611) Jer 21:5 Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:6 ============ Jer 21:6 And I will smite the inhabitants of this city, both man and beast: they shall die of a great pestilence.(KJV-1611) Jer 21:6 Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:7 ============ Jer 21:7 And afterward, saith the LORD, I will deliver Zedekiah king of Judah, and his servants, and the people, and such as are left in this city from the pestilence, from the sword, and from the famine, into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and into the hand of their enemies, and into the hand of those that seek their life: and he shall smite them with the edge of the sword; he shall not spare them, neither have pity, nor have mercy.(KJV-1611) Jer 21:7 Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:8 ============ Jer 21:8 And unto this people thou shalt say, Thus saith the LORD; Behold, I set before you the way of life, and the way of death.(KJV-1611) Jer 21:8 Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:9 ============ Jer 21:9 He that abideth in this city shall die by the sword, and by the famine, and by the pestilence: but he that goeth out, and falleth to the Chaldeans that besiege you, he shall live, and his life shall be unto him for a prey.(KJV-1611) Jer 21:9 Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:10 ============ Jer 21:10 For I have set my face against this city for evil, and not for good, saith the LORD: it shall be given into the hand of the king of Babylon, and he shall burn it with fire.(KJV-1611) Jer 21:10 Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:11 ============ Jer 21:11 And touching the house of the king of Judah, say, Hear ye the word of the LORD;(KJV-1611) Jer 21:11 Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: -Koute pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:12 ============ Jer 21:12 O house of David, thus saith the LORD; Execute judgment in the morning, and deliver him that is spoiled out of the hand of the oppressor, lest my fury go out like fire, and burn that none can quench it, because of the evil of your doings.(KJV-1611) Jer 21:12 Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:13 ============ Jer 21:13 Behold, I am against thee, O inhabitant of the valley, and rock of the plain, saith the LORD; which say, Who shall come down against us? or who shall enter into our habitations?(KJV-1611) Jer 21:13 Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 21:14 ============ Jer 21:14 But I will punish you according to the fruit of your doings, saith the LORD: and I will kindle a fire in the forest thereof, and it shall devour all things round about it.(KJV-1611) Jer 21:14 Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:1 ============ Jer 22:1 Thus saith the LORD; Go down to the house of the king of Judah, and speak there this word,(KJV-1611) Jer 22:1 Seyè a pale ak Jeremi, li di l': -Desann ale kay wa peyi Jida a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:2 ============ Jer 22:2 And say, Hear the word of the LORD, O king of Judah, that sittest upon the throne of David, thou, and thy servants, and thy people that enter in by these gates:(KJV-1611) Jer 22:2 pou ba l' mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fotèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre soti nan pòtay lavil la, koute sa Seyè a di nou:(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:3 ============ Jer 22:3 Thus saith the LORD; Execute ye judgment and righteousness, and deliver the spoiled out of the hand of the oppressor: and do no wrong, do no violence to the stranger, the fatherless, nor the widow, neither shed innocent blood in this place.(KJV-1611) Jer 22:3 Mwen menm Seyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:4 ============ Jer 22:4 For if ye do this thing indeed, then shall there enter in by the gates of this house kings sitting upon the throne of David, riding in chariots and on horses, he, and his servants, and his people.(KJV-1611) Jer 22:4 Si tout bon vre nou fè jan m' mande nou fè la a, n'a toujou gen yonn nan moun fanmi David yo pou wa. Li menm ansanm ak chèf li yo ak tout pèp la va toujou antre soti nan pòtay palè a sou cha ak sou chwal yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:5 ============ Jer 22:5 But if ye will not hear these words, I swear by myself, saith the LORD, that this house shall become a desolation.(KJV-1611) Jer 22:5 Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:6 ============ Jer 22:6 For thus saith the LORD unto the king's house of Judah; Thou art Gilead unto me, and the head of Lebanon: yet surely I will make thee a wilderness, and cities which are not inhabited.(KJV-1611) Jer 22:6 Men sa Seyè a di sou kay wa peyi Jida a: -Pou mwen, palè a bèl tankou peyi Galarad, tankou tèt mòn peyi Liban yo. Men, mwen p'ap pè fè l' tounen yon dezè, yon lavil kote moun pa rete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:7 ============ Jer 22:7 And I will prepare destroyers against thee, every one with his weapons: and they shall cut down thy choice cedars, and cast them into the fire.(KJV-1611) Jer 22:7 M'ap chwazi moun ak rach pou m' voye detwi nou. Yo pral koupe tout bèl bwa sèd nou yo, y'ap voye yo jete nan dife.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:8 ============ Jer 22:8 And many nations shall pass by this city, and they shall say every man to his neighbour, Wherefore hath the LORD done thus unto this great city?(KJV-1611) Jer 22:8 Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Seyè a fè gwo lavil sa a sa?(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:9 ============ Jer 22:9 Then they shall answer, Because they have forsaken the covenant of the LORD their God, and worshipped other gods, and served them.(KJV-1611) Jer 22:9 Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè Bondye yo a te siyen ak yo a. Y' al adore lòt bondye yo, yo fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:10 ============ Jer 22:10 Weep ye not for the dead, neither bemoan him: but weep sore for him that goeth away: for he shall return no more, nor see his native country.(KJV-1611) Jer 22:10 Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:11 ============ Jer 22:11 For thus saith the LORD touching Shallum the son of Josiah king of Judah, which reigned instead of Josiah his father, which went forth out of this place; He shall not return thither any more:(KJV-1611) Jer 22:11 Paske men mesaj Seyè a bay sou Chaloum, pitit Jozyas, ki te vin wa peyi Jida nan plas papa l': Li pati kite isit la, li p'ap janm tounen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:12 ============ Jer 22:12 But he shall die in the place whither they have led him captive, and shall see this land no more.(KJV-1611) Jer 22:12 Paske kote yo depòte l' la, se la li pral mouri. Li p'ap janm wè peyi a ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:13 ============ Jer 22:13 Woe unto him that buildeth his house by unrighteousness, and his chambers by wrong; that useth his neighbour's service without wages, and giveth him not for his work;(KJV-1611) Jer 22:13 Madichon pou moun k'ap bati gwo kay avèk lajan lenjistis, k'ap mete chanmòt sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay gratis pou yo, yo pa peye yo lajan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:14 ============ Jer 22:14 That saith, I will build me a wide house and large chambers, and cutteth him out windows; and it is cieled with cedar, and painted with vermilion.(KJV-1611) Jer 22:14 Madichon pou moun k'ap plede di: mwen pral bati yon gwo kay ak chanm byen laj nan chanmòt yo. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bwa sèd, yo pentire yo tou wouj.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:15 ============ Jer 22:15 Shalt thou reign, because thou closest thyself in cedar? did not thy father eat and drink, and do judgment and justice, and then it was well with him?(KJV-1611) Jer 22:15 Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pa t' fè lenjistis. Tout zafè l' te mache byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:16 ============ Jer 22:16 He judged the cause of the poor and needy; then it was well with him: was not this to know me? saith the LORD.(KJV-1611) Jer 22:16 Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:17 ============ Jer 22:17 But thine eyes and thine heart are not but for thy covetousness, and for to shed innocent blood, and for oppression, and for violence, to do it.(KJV-1611) Jer 22:17 Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:18 ============ Jer 22:18 Therefore thus saith the LORD concerning Jehoiakim the son of Josiah king of Judah; They shall not lament for him, saying, Ah my brother! or, Ah sister! they shall not lament for him, saying, Ah lord! or, Ah his glory!(KJV-1611) Jer 22:18 Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:19 ============ Jer 22:19 He shall be buried with the burial of an ass, drawn and cast forth beyond the gates of Jerusalem.(KJV-1611) Jer 22:19 Y'ap antere l' tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l' jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:20 ============ Jer 22:20 Go up to Lebanon, and cry; and lift up thy voice in Bashan, and cry from the passages: for all thy lovers are destroyed.(KJV-1611) Jer 22:20 Nou menm moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Moab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:21 ============ Jer 22:21 I spake unto thee in thy prosperity; but thou saidst, I will not hear. This hath been thy manner from thy youth, that thou obeyedst not my voice.(KJV-1611) Jer 22:21 Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:22 ============ Jer 22:22 The wind shall eat up all thy pastors, and thy lovers shall go into captivity: surely then shalt thou be ashamed and confounded for all thy wickedness.(KJV-1611) Jer 22:22 Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:23 ============ Jer 22:23 O inhabitant of Lebanon, that makest thy nest in the cedars, how gracious shalt thou be when pangs come upon thee, the pain as of a woman in travail!(KJV-1611) Jer 22:23 Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki soti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:24 ============ Jer 22:24 As I live, saith the LORD, though Coniah the son of Jehoiakim king of Judah were the signet upon my right hand, yet would I pluck thee thence;(KJV-1611) Jer 22:24 Men sa Seyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a: -Mwen fè sèman sou vi mwen, menm si ou te bag letanp ki nan men dwat mwen an, m'ap rache ou nan dwèt mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:25 ============ Jer 22:25 And I will give thee into the hand of them that seek thy life, and into the hand of them whose face thou fearest, even into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and into the hand of the Chaldeans.(KJV-1611) Jer 22:25 M'ap lage ou nan men moun ki soti pou touye ou yo, nan men moun ou pè yo. M'ap lage ou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men moun Kalde yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:26 ============ Jer 22:26 And I will cast thee out, and thy mother that bare thee, into another country, where ye were not born; and there shall ye die.(KJV-1611) Jer 22:26 Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pa t' fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:27 ============ Jer 22:27 But to the land whereunto they desire to return, thither shall they not return.(KJV-1611) Jer 22:27 N'ap anvi tounen vin wè peyi sa a. Men, nou p'ap janm ka tounen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:28 ============ Jer 22:28 Is this man Coniah a despised broken idol? is he a vessel wherein is no pleasure? wherefore are they cast out, he and his seed, and are cast into a land which they know not?(KJV-1611) Jer 22:28 Moun yo rele Jekonya a, èske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pesonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pa t' janm konnen?(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:29 ============ Jer 22:29 O earth, earth, earth, hear the word of the LORD.(KJV-1611) Jer 22:29 O latè, latè, latè! Koute sa Seyè a di:(Creole-HT) ======= Jeremiah 22:30 ============ Jer 22:30 Thus saith the LORD, Write ye this man childless, a man that shall not prosper in his days: for no man of his seed shall prosper, sitting upon the throne of David, and ruling any more in Judah.(KJV-1611) Jer 22:30 Nonm sa a kondannen pou l' pèdi tout pitit li yo, pou l' pa janm wè zafè l' mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fotèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:1 ============ Jer 23:1 Woe be unto the pastors that destroy and scatter the sheep of my pasture! saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:1 Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:2 ============ Jer 23:2 Therefore thus saith the LORD God of Israel against the pastors that feed my people; Ye have scattered my flock, and driven them away, and have not visited them: behold, I will visit upon you the evil of your doings, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:2 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:3 ============ Jer 23:3 And I will gather the remnant of my flock out of all countries whither I have driven them, and will bring them again to their folds; and they shall be fruitful and increase.(KJV-1611) Jer 23:3 M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:4 ============ Jer 23:4 And I will set up shepherds over them which shall feed them: and they shall fear no more, nor be dismayed, neither shall they be lacking, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:4 M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:5 ============ Jer 23:5 Behold, the days come, saith the LORD, that I will raise unto David a righteous Branch, and a King shall reign and prosper, and shall execute judgment and justice in the earth.(KJV-1611) Jer 23:5 Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:6 ============ Jer 23:6 In his days Judah shall be saved, and Israel shall dwell safely: and this is his name whereby he shall be called, THE LORD OUR RIGHTEOUSNESS.(KJV-1611) Jer 23:6 Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:7 ============ Jer 23:7 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that they shall no more say, The LORD liveth, which brought up the children of Israel out of the land of Egypt;(KJV-1611) Jer 23:7 Seyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:8 ============ Jer 23:8 But, The LORD liveth, which brought up and which led the seed of the house of Israel out of the north country, and from all countries whither I had driven them; and they shall dwell in their own land.(KJV-1611) Jer 23:8 Lè sa a y'a di: Se nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:9 ============ Jer 23:9 Mine heart within me is broken because of the prophets; all my bones shake; I am like a drunken man, and like a man whom wine hath overcome, because of the LORD, and because of the words of his holiness.(KJV-1611) Jer 23:9 Mesaj sou pwofèt yo: -Kè m' ap fann! M'ap tranble nan tout kò m'. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Seyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:10 ============ Jer 23:10 For the land is full of adulterers; for because of swearing the land mourneth; the pleasant places of the wilderness are dried up, and their course is evil, and their force is not right.(KJV-1611) Jer 23:10 Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouraj yo pou fè sa ki pa dwat.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:11 ============ Jer 23:11 For both prophet and priest are profane; yea, in my house have I found their wickedness, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:11 Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:12 ============ Jer 23:12 Wherefore their way shall be unto them as slippery ways in the darkness: they shall be driven on, and fall therein: for I will bring evil upon them, even the year of their visitation, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:12 Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m' pini yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:13 ============ Jer 23:13 And I have seen folly in the prophets of Samaria; they prophesied in Baal, and caused my people Israel to err.(KJV-1611) Jer 23:13 Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m' plezi. Y'ap bay mesaj nan non Baal. Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:14 ============ Jer 23:14 I have seen also in the prophets of Jerusalem an horrible thing: they commit adultery, and walk in lies: they strengthen also the hands of evildoers, that none doth return from his wickedness; they are all of them unto me as Sodom, and the inhabitants thereof as Gomorrah.(KJV-1611) Jer 23:14 Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:15 ============ Jer 23:15 Therefore thus saith the LORD of hosts concerning the prophets; Behold, I will feed them with wormwood, and make them drink the water of gall: for from the prophets of Jerusalem is profaneness gone forth into all the land.(KJV-1611) Jer 23:15 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo: -Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje. Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè, paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a lage kò yo nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:16 ============ Jer 23:16 Thus saith the LORD of hosts, Hearken not unto the words of the prophets that prophesy unto you: they make you vain: they speak a vision of their own heart, and not out of the mouth of the LORD.(KJV-1611) Jer 23:16 Men sa Seyè a di moun Jerizalèm yo: -Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesaj. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèl la. Sa yo di a pa soti nan mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:17 ============ Jer 23:17 They say still unto them that despise me, The LORD hath said, Ye shall have peace; and they say unto every one that walketh after the imagination of his own heart, No evil shall come upon you.(KJV-1611) Jer 23:17 Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:18 ============ Jer 23:18 For who hath stood in the counsel of the LORD, and hath perceived and heard his word? who hath marked his word, and heard it?(KJV-1611) Jer 23:18 Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Seyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pa t' wè, yo yonn pa t' tande sa Seyè a te di. Yo yonn pa t' louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:19 ============ Jer 23:19 Behold, a whirlwind of the LORD is gone forth in fury, even a grievous whirlwind: it shall fall grievously upon the head of the wicked.(KJV-1611) Jer 23:19 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:20 ============ Jer 23:20 The anger of the LORD shall not return, until he have executed, and till he have performed the thoughts of his heart: in the latter days ye shall consider it perfectly.(KJV-1611) Jer 23:20 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:21 ============ Jer 23:21 I have not sent these prophets, yet they ran: I have not spoken to them, yet they prophesied.(KJV-1611) Jer 23:21 Seyè a di ankò: Se pa mwen ki voye pwofèt sa yo. Men, y'ap kouri ale toupatou. Mwen pa menm pale ak yo. Men, y'ap mache pale nan non mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:22 ============ Jer 23:22 But if they had stood in my counsel, and had caused my people to hear my words, then they should have turned them from their evil way, and from the evil of their doings.(KJV-1611) Jer 23:22 Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:23 ============ Jer 23:23 Am I a God at hand, saith the LORD, and not a God afar off?(KJV-1611) Jer 23:23 Seyè a di: Mwen se yon Bondye ki toupatou. Mwen pa rete yon sèl kote ase.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:24 ============ Jer 23:24 Can any hide himself in secret places that I shall not see him? saith the LORD. Do not I fill heaven and earth? saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:24 Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:25 ============ Jer 23:25 I have heard what the prophets said, that prophesy lies in my name, saying, I have dreamed, I have dreamed.(KJV-1611) Jer 23:25 Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:26 ============ Jer 23:26 How long shall this be in the heart of the prophets that prophesy lies? yea, they are prophets of the deceit of their own heart;(KJV-1611) Jer 23:26 Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesaj ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:27 ============ Jer 23:27 Which think to cause my people to forget my name by their dreams which they tell every man to his neighbour, as their fathers have forgotten my name for Baal.(KJV-1611) Jer 23:27 Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m' ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m' pou y' al dèyè Baal?(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:28 ============ Jer 23:28 The prophet that hath a dream, let him tell a dream; and he that hath my word, let him speak my word faithfully. What is the chaff to the wheat? saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:28 Lè yon pwofèt fè yon rèv, se pou l' di se yon rèv li fè. Men, pwofèt ki resevwa mesaj mwen, li fèt pou l' bay mesaj la jan l' ye a. Piga nou pran pay la pou grenn lan. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:29 ============ Jer 23:29 Is not my word like as a fire? saith the LORD; and like a hammer that breaketh the rock in pieces?(KJV-1611) Jer 23:29 Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap kraze wòch an miyèt moso. Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:30 ============ Jer 23:30 Therefore, behold, I am against the prophets, saith the LORD, that steal my words every one from his neighbour.(KJV-1611) Jer 23:30 Se poutèt sa mwen pral regle ak pwofèt yo k'ap pran pawòl yonn nan bouch lòt, pou fè l' pase pou mesaj mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:31 ============ Jer 23:31 Behold, I am against the prophets, saith the LORD, that use their tongues, and say, He saith.(KJV-1611) Jer 23:31 Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesaj y'ap bay nan non mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:32 ============ Jer 23:32 Behold, I am against them that prophesy false dreams, saith the LORD, and do tell them, and cause my people to err by their lies, and by their lightness; yet I sent them not, nor commanded them: therefore they shall not profit this people at all, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:32 Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Seyè a ki pale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:33 ============ Jer 23:33 And when this people, or the prophet, or a priest, shall ask thee, saying, What is the burden of the LORD? thou shalt then say unto them, What burden? I will even forsake you, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 23:33 Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:34 ============ Jer 23:34 And as for the prophet, and the priest, and the people, that shall say, The burden of the LORD, I will even punish that man and his house.(KJV-1611) Jer 23:34 Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Seyè a bay pote a, m'ap pini l' ansanm ak tout fanmi li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:35 ============ Jer 23:35 Thus shall ye say every one to his neighbour, and every one to his brother, What hath the LORD answered? and, What hath the LORD spoken?(KJV-1611) Jer 23:35 Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Seyè a reponn, kisa li di ki pral rive.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:36 ============ Jer 23:36 And the burden of the LORD shall ye mention no more: for every man's word shall be his burden; for ye have perverted the words of the living God, of the LORD of hosts our God.(KJV-1611) Jer 23:36 Konsa, piga nou pale sou chay Seyè a bay ankò paske m'ap fè mesaj mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l' lanvè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:37 ============ Jer 23:37 Thus shalt thou say to the prophet, What hath the LORD answered thee? and, What hath the LORD spoken?(KJV-1611) Jer 23:37 Jeremi, mande pwofèt yo ki repons Seyè a bay? Kisa Seyè a di ki pral rive?(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:38 ============ Jer 23:38 But since ye say, The burden of the LORD; therefore thus saith the LORD; Because ye say this word, The burden of the LORD, and I have sent unto you, saying, Ye shall not say, The burden of the LORD;(KJV-1611) Jer 23:38 Si yo reponn: Men chay Seyè a bay, lè sa a w'a di yo, men sa Seyè a di: Paske nou di: Men chay Seyè a bay, atout mwen te ban nou lòd pa di sa,(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:39 ============ Jer 23:39 Therefore, behold, I, even I, will utterly forget you, and I will forsake you, and the city that I gave you and your fathers, and cast you out of my presence:(KJV-1611) Jer 23:39 m'ap pran nou leve anlè, m'ap voye nou jete byen lwen mwen, ni nou, ni lavil mwen te bay pou nou ansanm ak pou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 23:40 ============ Jer 23:40 And I will bring an everlasting reproach upon you, and a perpetual shame, which shall not be forgotten.(KJV-1611) Jer 23:40 M'ap fè nou wont yon wont ki p'ap janm fini, yon wont moun p'ap janm bliye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:1 ============ Jer 24:1 The LORD shewed me, and, behold, two baskets of figs were set before the temple of the LORD, after that Nebuchadrezzar king of Babylon had carried away captive Jeconiah the son of Jehoiakim king of Judah, and the princes of Judah, with the carpenters and smiths, from Jerusalem, and had brought them to Babylon.(KJV-1611) Jer 24:1 Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:2 ============ Jer 24:2 One basket had very good figs, even like the figs that are first ripe: and the other basket had very naughty figs, which could not be eaten, they were so bad.(KJV-1611) Jer 24:2 Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:3 ============ Jer 24:3 Then said the LORD unto me, What seest thou, Jeremiah? And I said, Figs; the good figs, very good; and the evil, very evil, that cannot be eaten, they are so evil.(KJV-1611) Jer 24:3 Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:4 ============ Jer 24:4 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Jer 24:4 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:5 ============ Jer 24:5 Thus saith the LORD, the God of Israel; Like these good figs, so will I acknowledge them that are carried away captive of Judah, whom I have sent out of this place into the land of the Chaldeans for their good.(KJV-1611) Jer 24:5 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:6 ============ Jer 24:6 For I will set mine eyes upon them for good, and I will bring them again to this land: and I will build them, and not pull them down; and I will plant them, and not pluck them up.(KJV-1611) Jer 24:6 M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:7 ============ Jer 24:7 And I will give them an heart to know me, that I am the LORD: and they shall be my people, and I will be their God: for they shall return unto me with their whole heart.(KJV-1611) Jer 24:7 M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:8 ============ Jer 24:8 And as the evil figs, which cannot be eaten, they are so evil; surely thus saith the LORD, So will I give Zedekiah the king of Judah, and his princes, and the residue of Jerusalem, that remain in this land, and them that dwell in the land of Egypt:(KJV-1611) Jer 24:8 Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:9 ============ Jer 24:9 And I will deliver them to be removed into all the kingdoms of the earth for their hurt, to be a reproach and a proverb, a taunt and a curse, in all places whither I shall drive them.(KJV-1611) Jer 24:9 Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 24:10 ============ Jer 24:10 And I will send the sword, the famine, and the pestilence, among them, till they be consumed from off the land that I gave unto them and to their fathers.(KJV-1611) Jer 24:10 Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:1 ============ Jer 25:1 The word that came to Jeremiah concerning all the people of Judah in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, that was the first year of Nebuchadrezzar king of Babylon;(KJV-1611) Jer 25:1 Seyè a te bay Jeremi yon mesaj sou pèp peyi Jida a, nan katriyèm lanne rèy wa Jojakim, pitit Jozyas, nan peyi Jida. Lè sa a, Nèbikadneza te nan premye lanne li depi li te wa peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:2 ============ Jer 25:2 The which Jeremiah the prophet spake unto all the people of Judah, and to all the inhabitants of Jerusalem, saying,(KJV-1611) Jer 25:2 Men mesaj pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:3 ============ Jer 25:3 From the thirteenth year of Josiah the son of Amon king of Judah, even unto this day, that is the three and twentieth year, the word of the LORD hath come unto me, and I have spoken unto you, rising early and speaking; but ye have not hearkened.(KJV-1611) Jer 25:3 -Depi trèzyèm lanne rèy wa Jozyas, pitit Amon, nan peyi Jida rive jòdi a, sa fè venntwazan depi Seyè a ap pale avè m', venntwazan depi m'ap pale ak nou san rete, nou pa vle koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:4 ============ Jer 25:4 And the LORD hath sent unto you all his servants the prophets, rising early and sending them; but ye have not hearkened, nor inclined your ear to hear.(KJV-1611) Jer 25:4 Seyè a pa janm sispann voye pwofèt li yo, sèvitè l' yo, ban nou. Men nou pa vle koute yo, nou derefize louvri zòrèy nou pou nou tande yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:5 ============ Jer 25:5 They said, Turn ye again now every one from his evil way, and from the evil of your doings, and dwell in the land that the LORD hath given unto you and to your fathers for ever and ever:(KJV-1611) Jer 25:5 Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Seyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:6 ============ Jer 25:6 And go not after other gods to serve them, and to worship them, and provoke me not to anger with the works of your hands; and I will do you no hurt.(KJV-1611) Jer 25:6 Pwofèt yo di nou: Pa kouri dèyè lòt bondye, pa fè sèvis pou yo, pa mete ajenou devan yo. Pa sèvi zidòl nou fè ak men nou pou Seyè a pa fache. Konsa, si nou obeyi Seyè a li p'ap pini nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:7 ============ Jer 25:7 Yet ye have not hearkened unto me, saith the LORD; that ye might provoke me to anger with the works of your hands to your own hurt.(KJV-1611) Jer 25:7 Men, se Seyè a menm ki di sa, nou derefize koute l'. Nou fè l' fache ak zidòl nou fè ak men nou. Se konsa nou rale malè sou tèt nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:8 ============ Jer 25:8 Therefore thus saith the LORD of hosts; Because ye have not heard my words,(KJV-1611) Jer 25:8 Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Paske nou pa koute m' lè m' pale nou,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:9 ============ Jer 25:9 Behold, I will send and take all the families of the north, saith the LORD, and Nebuchadrezzar the king of Babylon, my servant, and will bring them against this land, and against the inhabitants thereof, and against all these nations round about, and will utterly destroy them, and make them an astonishment, and an hissing, and perpetual desolations.(KJV-1611) Jer 25:9 mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:10 ============ Jer 25:10 Moreover I will take from them the voice of mirth, and the voice of gladness, the voice of the bridegroom, and the voice of the bride, the sound of the millstones, and the light of the candle.(KJV-1611) Jer 25:10 M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:11 ============ Jer 25:11 And this whole land shall be a desolation, and an astonishment; and these nations shall serve the king of Babylon seventy years.(KJV-1611) Jer 25:11 Tout peyi a pral kraze tounen mazi, yon dezè. Nasyon ki nan vwazinaj yo pral sèvi wa Babilòn lan pandan swasanndizan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:12 ============ Jer 25:12 And it shall come to pass, when seventy years are accomplished, that I will punish the king of Babylon, and that nation, saith the LORD, for their iniquity, and the land of the Chaldeans, and will make it perpetual desolations.(KJV-1611) Jer 25:12 Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:13 ============ Jer 25:13 And I will bring upon that land all my words which I have pronounced against it, even all that is written in this book, which Jeremiah hath prophesied against all the nations.(KJV-1611) Jer 25:13 M'ap voye sou peyi Babilòn lan tout malè mwen te di m'ap voye yo, tou sa pwofèt Jeremi te fè konnen nan non mwen sou nasyon yo, jan sa ekri nan liv sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:14 ============ Jer 25:14 For many nations and great kings shall serve themselves of them also: and I will recompense them according to their deeds, and according to the works of their own hands.(KJV-1611) Jer 25:14 Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:15 ============ Jer 25:15 For thus saith the LORD God of Israel unto me; Take the wine cup of this fury at my hand, and cause all the nations, to whom I send thee, to drink it.(KJV-1611) Jer 25:15 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:16 ============ Jer 25:16 And they shall drink, and be moved, and be mad, because of the sword that I will send among them.(KJV-1611) Jer 25:16 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:17 ============ Jer 25:17 Then took I the cup at the LORD's hand, and made all the nations to drink, unto whom the LORD had sent me:(KJV-1611) Jer 25:17 Se konsa, mwen pran gode a nan men Seyè a, mwen pote l' bay tout moun nan tout peyi kote Seyè a te voye m' lan, mwen fè yo bwè ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:18 ============ Jer 25:18 To wit, Jerusalem, and the cities of Judah, and the kings thereof, and the princes thereof, to make them a desolation, an astonishment, an hissing, and a curse; as it is this day;(KJV-1611) Jer 25:18 Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:19 ============ Jer 25:19 Pharaoh king of Egypt, and his servants, and his princes, and all his people;(KJV-1611) Jer 25:19 Men moun mwen fè bwè nan gode a tou: Farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak sòlda li yo, chèf li yo ak tout pèp li a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:20 ============ Jer 25:20 And all the mingled people, and all the kings of the land of Uz, and all the kings of the land of the Philistines, and Ashkelon, and Azzah, and Ekron, and the remnant of Ashdod,(KJV-1611) Jer 25:20 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:21 ============ Jer 25:21 Edom, and Moab, and the children of Ammon,(KJV-1611) Jer 25:21 moun peyi Edon, moun peyi Moab ak moun Amon yo,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:22 ============ Jer 25:22 And all the kings of Tyrus, and all the kings of Zidon, and the kings of the isles which are beyond the sea,(KJV-1611) Jer 25:22 tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:23 ============ Jer 25:23 Dedan, and Tema, and Buz, and all that are in the utmost corners,(KJV-1611) Jer 25:23 moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:24 ============ Jer 25:24 And all the kings of Arabia, and all the kings of the mingled people that dwell in the desert,(KJV-1611) Jer 25:24 tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:25 ============ Jer 25:25 And all the kings of Zimri, and all the kings of Elam, and all the kings of the Medes,(KJV-1611) Jer 25:25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo,(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:26 ============ Jer 25:26 And all the kings of the north, far and near, one with another, and all the kingdoms of the world, which are upon the face of the earth: and the king of Sheshach shall drink after them.(KJV-1611) Jer 25:26 tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:27 ============ Jer 25:27 Therefore thou shalt say unto them, Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Drink ye, and be drunken, and spue, and fall, and rise no more, because of the sword which I will send among you.(KJV-1611) Jer 25:27 Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:28 ============ Jer 25:28 And it shall be, if they refuse to take the cup at thine hand to drink, then shalt thou say unto them, Thus saith the LORD of hosts; Ye shall certainly drink.(KJV-1611) Jer 25:28 Si yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l', w'a di yo: Seyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:29 ============ Jer 25:29 For, lo, I begin to bring evil on the city which is called by my name, and should ye be utterly unpunished? Ye shall not be unpunished: for I will call for a sword upon all the inhabitants of the earth, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Jer 25:29 Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:30 ============ Jer 25:30 Therefore prophesy thou against them all these words, and say unto them, The LORD shall roar from on high, and utter his voice from his holy habitation; he shall mightily roar upon his habitation; he shall give a shout, as they that tread the grapes, against all the inhabitants of the earth.(KJV-1611) Jer 25:30 Ou menm, Jeremi, se pou ou fè yo konnen tou sa mwen di ou. W'a di yo: -Seyè a rete anwo nan syèl la, l'ap gwonde. Li rete nan kay ki apa pou li a, l'ap pale byen fò. L'ap gwonde anwo pèp li a. L'ap rele tankou moun k'ap kraze rezen. Li move sou tout moun ki rete sou latè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:31 ============ Jer 25:31 A noise shall come even to the ends of the earth; for the LORD hath a controversy with the nations, he will plead with all flesh; he will give them that are wicked to the sword, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 25:31 Bri a rive nan zòrèy moun toupatou sou latè. Seyè a gen yon kont pou l' regle ak nasyon yo. Li rele yo tout nan tribinal. L'ap fè touye tout moun ki antò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:32 ============ Jer 25:32 Thus saith the LORD of hosts, Behold, evil shall go forth from nation to nation, and a great whirlwind shall be raised up from the coasts of the earth.(KJV-1611) Jer 25:32 Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute soti nan bout latè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:33 ============ Jer 25:33 And the slain of the LORD shall be at that day from one end of the earth even unto the other end of the earth: they shall not be lamented, neither gathered, nor buried; they shall be dung upon the ground.(KJV-1611) Jer 25:33 Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Seyè a pral touye. P'ap gen pesonn pou kriye pou yo, pesonn pou ranmase yo atè a, pesonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:34 ============ Jer 25:34 Howl, ye shepherds, and cry; and wallow yourselves in the ashes, ye principal of the flock: for the days of your slaughter and of your dispersions are accomplished; and ye shall fall like a pleasant vessel.(KJV-1611) Jer 25:34 Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:35 ============ Jer 25:35 And the shepherds shall have no way to flee, nor the principal of the flock to escape.(KJV-1611) Jer 25:35 P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:36 ============ Jer 25:36 A voice of the cry of the shepherds, and an howling of the principal of the flock, shall be heard: for the LORD hath spoiled their pasture.(KJV-1611) Jer 25:36 Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Seyè a pral ravaje peyi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:37 ============ Jer 25:37 And the peaceable habitations are cut down because of the fierce anger of the LORD.(KJV-1611) Jer 25:37 Tout bèl peyi yo pral tounen mazi, paske Seyè a move anpil.(Creole-HT) ======= Jeremiah 25:38 ============ Jer 25:38 He hath forsaken his covert, as the lion: for their land is desolate because of the fierceness of the oppressor, and because of his fierce anger.(KJV-1611) Jer 25:38 Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:1 ============ Jer 26:1 In the beginning of the reign of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah came this word from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 26:1 Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:2 ============ Jer 26:2 Thus saith the LORD; Stand in the court of the LORD's house, and speak unto all the cities of Judah, which come to worship in the LORD's house, all the words that I command thee to speak unto them; diminish not a word:(KJV-1611) Jer 26:2 Men sa Seyè a di l': -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:3 ============ Jer 26:3 If so be they will hearken, and turn every man from his evil way, that I may repent me of the evil, which I purpose to do unto them because of the evil of their doings.(KJV-1611) Jer 26:3 Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:4 ============ Jer 26:4 And thou shalt say unto them, Thus saith the LORD; If ye will not hearken to me, to walk in my law, which I have set before you,(KJV-1611) Jer 26:4 Konsa, w'a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m', swiv lòd mwen mete devan nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:5 ============ Jer 26:5 To hearken to the words of my servants the prophets, whom I sent unto you, both rising up early, and sending them, but ye have not hearkened;(KJV-1611) Jer 26:5 Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m' yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:6 ============ Jer 26:6 Then will I make this house like Shiloh, and will make this city a curse to all the nations of the earth.(KJV-1611) Jer 26:6 Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:7 ============ Jer 26:7 So the priests and the prophets and all the people heard Jeremiah speaking these words in the house of the LORD.(KJV-1611) Jer 26:7 Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:8 ============ Jer 26:8 Now it came to pass, when Jeremiah had made an end of speaking all that the LORD had commanded him to speak unto all the people, that the priests and the prophets and all the people took him, saying, Thou shalt surely die.(KJV-1611) Jer 26:8 Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:9 ============ Jer 26:9 Why hast thou prophesied in the name of the LORD, saying, This house shall be like Shiloh, and this city shall be desolate without an inhabitant? And all the people were gathered against Jeremiah in the house of the LORD.(KJV-1611) Jer 26:9 Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:10 ============ Jer 26:10 When the princes of Judah heard these things, then they came up from the king's house unto the house of the LORD, and sat down in the entry of the new gate of the LORD's house.(KJV-1611) Jer 26:10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:11 ============ Jer 26:11 Then spake the priests and the prophets unto the princes and to all the people, saying, This man is worthy to die; for he hath prophesied against this city, as ye have heard with your ears.(KJV-1611) Jer 26:11 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l' paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l' ak pwòp zòrèy nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:12 ============ Jer 26:12 Then spake Jeremiah unto all the princes and to all the people, saying, The LORD sent me to prophesy against this house and against this city all the words that ye have heard.(KJV-1611) Jer 26:12 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:13 ============ Jer 26:13 Therefore now amend your ways and your doings, and obey the voice of the LORD your God; and the LORD will repent him of the evil that he hath pronounced against you.(KJV-1611) Jer 26:13 Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:14 ============ Jer 26:14 As for me, behold, I am in your hand: do with me as seemeth good and meet unto you.(KJV-1611) Jer 26:14 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m', sa nou kwè nou dwe fè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:15 ============ Jer 26:15 But know ye for certain, that if ye put me to death, ye shall surely bring innocent blood upon yourselves, and upon this city, and upon the inhabitants thereof: for of a truth the LORD hath sent me unto you to speak all these words in your ears.(KJV-1611) Jer 26:15 Tansèlman, si nou touye m', konnen se lanmò yon inonsan n'ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m'ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m' pou m' fè nou tande tout pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:16 ============ Jer 26:16 Then said the princes and all the people unto the priests and to the prophets; This man is not worthy to die: for he hath spoken to us in the name of the LORD our God.(KJV-1611) Jer 26:16 Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:17 ============ Jer 26:17 Then rose up certain of the elders of the land, and spake to all the assembly of the people, saying,(KJV-1611) Jer 26:17 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:18 ============ Jer 26:18 Micah the Morasthite prophesied in the days of Hezekiah king of Judah, and spake to all the people of Judah, saying, Thus saith the LORD of hosts; Zion shall be plowed like a field, and Jerusalem shall become heaps, and the mountain of the house as the high places of a forest.(KJV-1611) Jer 26:18 -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:19 ============ Jer 26:19 Did Hezekiah king of Judah and all Judah put him at all to death? did he not fear the LORD, and besought the LORD, and the LORD repented him of the evil which he had pronounced against them? Thus might we procure great evil against our souls.(KJV-1611) Jer 26:19 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l' pou l' gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l'ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:20 ============ Jer 26:20 And there was also a man that prophesied in the name of the LORD, Urijah the son of Shemaiah of Kirjathjearim, who prophesied against this city and against this land according to all the words of Jeremiah.(KJV-1611) Jer 26:20 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t'ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t'ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:21 ============ Jer 26:21 And when Jehoiakim the king, with all his mighty men, and all the princes, heard his words, the king sought to put him to death: but when Urijah heard it, he was afraid, and fled, and went into Egypt;(KJV-1611) Jer 26:21 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:22 ============ Jer 26:22 And Jehoiakim the king sent men into Egypt, namely, Elnathan the son of Achbor, and certain men with him into Egypt.(KJV-1611) Jer 26:22 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:23 ============ Jer 26:23 And they fetched forth Urijah out of Egypt, and brought him unto Jehoiakim the king; who slew him with the sword, and cast his dead body into the graves of the common people.(KJV-1611) Jer 26:23 Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 26:24 ============ Jer 26:24 Nevertheless the hand of Ahikam the son of Shaphan was with Jeremiah, that they should not give him into the hand of the people to put him to death.(KJV-1611) Jer 26:24 Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:1 ============ Jer 27:1 In the beginning of the reign of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah came this word unto Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 27:1 Sedesyas, pitit Jozyas la, te gen katran depi li fèk moute wa nan peyi Jida, lè Seyè a pale ak Jeremi ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:2 ============ Jer 27:2 Thus saith the LORD to me; Make thee bonds and yokes, and put them upon thy neck,(KJV-1611) Jer 27:2 Seyè a di l' konsa: -Pran kòd ak bwa yo sèvi pou fè jouk bèf. Mete yo sou zepòl ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:3 ============ Jer 27:3 And send them to the king of Edom, and to the king of Moab, and to the king of the Ammonites, and to the king of Tyrus, and to the king of Zidon, by the hand of the messengers which come to Jerusalem unto Zedekiah king of Judah;(KJV-1611) Jer 27:3 Lèfini, w'a voye yo bay wa peyi Edon, wa peyi Moab, wa peyi Amon, wa peyi Tir ak wa peyi Sidon. W'a renmèt yo nan men delege wa sa yo ki te vin wè wa Sedesyas lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:4 ============ Jer 27:4 And command them to say unto their masters, Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Thus shall ye say unto your masters;(KJV-1611) Jer 27:4 W'a ba yo chak yon misyon pou mèt yo. W'a di yo men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ba yo pou mèt yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:5 ============ Jer 27:5 I have made the earth, the man and the beast that are upon the ground, by my great power and by my outstretched arm, and have given it unto whom it seemed meet unto me.(KJV-1611) Jer 27:5 -Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:6 ============ Jer 27:6 And now have I given all these lands into the hand of Nebuchadnezzar the king of Babylon, my servant; and the beasts of the field have I given him also to serve him.(KJV-1611) Jer 27:6 Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:7 ============ Jer 27:7 And all nations shall serve him, and his son, and his son's son, until the very time of his land come: and then many nations and great kings shall serve themselves of him.(KJV-1611) Jer 27:7 Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:8 ============ Jer 27:8 And it shall come to pass, that the nation and kingdom which will not serve the same Nebuchadnezzar the king of Babylon, and that will not put their neck under the yoke of the king of Babylon, that nation will I punish, saith the LORD, with the sword, and with the famine, and with the pestilence, until I have consumed them by his hand.(KJV-1611) Jer 27:8 Men si yon nasyon osinon yon wa ak tout pèp li derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan, si yonn ladan yo refize bese tèt devan otorite li pou obeyi l', m'ap voye lagè, grangou, move maladi sou nasyon sa a pou pini l' jouk m'a fè Nèbikadneza fini nèt ak li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:9 ============ Jer 27:9 Therefore hearken not ye to your prophets, nor to your diviners, nor to your dreamers, nor to your enchanters, nor to your sorcerers, which speak unto you, saying, Ye shall not serve the king of Babylon:(KJV-1611) Jer 27:9 Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni ankenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:10 ============ Jer 27:10 For they prophesy a lie unto you, to remove you far from your land; and that I should drive you out, and ye should perish.(KJV-1611) Jer 27:10 Se manti y'ap ban nou. Si nou koute yo, y'ap depòte nou byen lwen peyi nou an. Se mwen menm k'ap mete nou deyò. Lèfini, nou tout pral mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:11 ============ Jer 27:11 But the nations that bring their neck under the yoke of the king of Babylon, and serve him, those will I let remain still in their own land, saith the LORD; and they shall till it, and dwell therein.(KJV-1611) Jer 27:11 Men, si yon nasyon asepte bese tèt li devan otorite wa Babilòn lan pou sèvi l', m'a kite l' nan peyi l', l'a travay latè, l'a rete lakay li. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:12 ============ Jer 27:12 I spake also to Zedekiah king of Judah according to all these words, saying, Bring your necks under the yoke of the king of Babylon, and serve him and his people, and live.(KJV-1611) Jer 27:12 Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:13 ============ Jer 27:13 Why will ye die, thou and thy people, by the sword, by the famine, and by the pestilence, as the LORD hath spoken against the nation that will not serve the king of Babylon?(KJV-1611) Jer 27:13 Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:14 ============ Jer 27:14 Therefore hearken not unto the words of the prophets that speak unto you, saying, Ye shall not serve the king of Babylon: for they prophesy a lie unto you.(KJV-1611) Jer 27:14 Gen yon bann pwofèt k'ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan. Pa koute yo. Se manti y'ap bay.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:15 ============ Jer 27:15 For I have not sent them, saith the LORD, yet they prophesy a lie in my name; that I might drive you out, and that ye might perish, ye, and the prophets that prophesy unto you.(KJV-1611) Jer 27:15 Se Seyè a menm ki di se pa li menm ki voye yo. Yo pran non l' pou ban nou manti. Si nou koute yo, m'ap mete nou deyò, m'ap fè nou mouri, ni nou ni pwofèt k'ap ban nou manti yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:16 ============ Jer 27:16 Also I spake to the priests and to all this people, saying, Thus saith the LORD; Hearken not to the words of your prophets that prophesy unto you, saying, Behold, the vessels of the LORD's house shall now shortly be brought again from Babylon: for they prophesy a lie unto you.(KJV-1611) Jer 27:16 Apre sa, mwen pale ak prèt yo ansanm ak pèp la, mwen di yo: -Men mesaj Seyè a bay. Pa koute pwofèt yo k'ap plede di nou yo pral pote tounen soti lavil Babilòn tout bagay yo te pran nan tanp lan. Se manti y'ap bay.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:17 ============ Jer 27:17 Hearken not unto them; serve the king of Babylon, and live: wherefore should this city be laid waste?(KJV-1611) Jer 27:17 Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:18 ============ Jer 27:18 But if they be prophets, and if the word of the LORD be with them, let them now make intercession to the LORD of hosts, that the vessels which are left in the house of the LORD, and in the house of the king of Judah, and at Jerusalem, go not to Babylon.(KJV-1611) Jer 27:18 Si yo se pwofèt tout bon, si yo resevwa yon mesaj nan men Seyè a tout bon vre, enben, se pou y' al mande Seyè ki gen tout pouvwa a pou li pa kite yo pran rès bon bagay ki nan Tanp lan, ak rès bon bagay ki lakay wa peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm lan pou pote yo ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:19 ============ Jer 27:19 For thus saith the LORD of hosts concerning the pillars, and concerning the sea, and concerning the bases, and concerning the residue of the vessels that remain in this city.(KJV-1611) Jer 27:19 Seyè a t'ap pale sou gwo poto kwiv yo, sou gwo basen lan ansanm ak pye l' yo, sou tout lòt richès ki te nan lavil la toujou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:20 ============ Jer 27:20 Which Nebuchadnezzar king of Babylon took not, when he carried away captive Jeconiah the son of Jehoiakim king of Judah from Jerusalem to Babylon, and all the nobles of Judah and Jerusalem;(KJV-1611) Jer 27:20 Se bagay sa yo Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te kite lavil Jerizalèm lè li t'ap depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, lavil Babilòn, ansanm ak grannèg peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:21 ============ Jer 27:21 Yea, thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, concerning the vessels that remain in the house of the LORD, and in the house of the king of Judah and of Jerusalem;(KJV-1611) Jer 27:21 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, te di sou rès bon bagay ki te nan kay Seyè a, nan kay wa Jida a ak nan lavil Jerizalèm:(Creole-HT) ======= Jeremiah 27:22 ============ Jer 27:22 They shall be carried to Babylon, and there shall they be until the day that I visit them, saith the LORD; then will I bring them up, and restore them to this place.(KJV-1611) Jer 27:22 Y'ap pote yo ale lavil Babilòn. Y'ap rete la jouk lè m'a vin pran yo pou m' fè yo tounen nan plas yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:1 ============ Jer 28:1 And it came to pass the same year, in the beginning of the reign of Zedekiah king of Judah, in the fourth year, and in the fifth month, that Hananiah the son of Azur the prophet, which was of Gibeon, spake unto me in the house of the LORD, in the presence of the priests and of all the people, saying,(KJV-1611) Jer 28:1 Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:2 ============ Jer 28:2 Thus speaketh the LORD of hosts, the God of Israel, saying, I have broken the yoke of the king of Babylon.(KJV-1611) Jer 28:2 -Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:3 ============ Jer 28:3 Within two full years will I bring again into this place all the vessels of the LORD's house, that Nebuchadnezzar king of Babylon took away from this place, and carried them to Babylon:(KJV-1611) Jer 28:3 Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:4 ============ Jer 28:4 And I will bring again to this place Jeconiah the son of Jehoiakim king of Judah, with all the captives of Judah, that went into Babylon, saith the LORD: for I will break the yoke of the king of Babylon.(KJV-1611) Jer 28:4 M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:5 ============ Jer 28:5 Then the prophet Jeremiah said unto the prophet Hananiah in the presence of the priests, and in the presence of all the people that stood in the house of the LORD,(KJV-1611) Jer 28:5 Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:6 ============ Jer 28:6 Even the prophet Jeremiah said, Amen: the LORD do so: the LORD perform thy words which thou hast prophesied, to bring again the vessels of the LORD's house, and all that is carried away captive, from Babylon into this place.(KJV-1611) Jer 28:6 Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:7 ============ Jer 28:7 Nevertheless hear thou now this word that I speak in thine ears, and in the ears of all the people;(KJV-1611) Jer 28:7 Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la:(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:8 ============ Jer 28:8 The prophets that have been before me and before thee of old prophesied both against many countries, and against great kingdoms, of war, and of evil, and of pestilence.(KJV-1611) Jer 28:8 Pwofèt ki te vini anvan m' yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:9 ============ Jer 28:9 The prophet which prophesieth of peace, when the word of the prophet shall come to pass, then shall the prophet be known, that the LORD hath truly sent him.(KJV-1611) Jer 28:9 Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Seyè a ki te voye l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:10 ============ Jer 28:10 Then Hananiah the prophet took the yoke from off the prophet Jeremiah's neck, and brake it.(KJV-1611) Jer 28:10 Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:11 ============ Jer 28:11 And Hananiah spake in the presence of all the people, saying, Thus saith the LORD; Even so will I break the yoke of Nebuchadnezzar king of Babylon from the neck of all nations within the space of two full years. And the prophet Jeremiah went his way.(KJV-1611) Jer 28:11 Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa: -Men mesaj Seyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo. Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:12 ============ Jer 28:12 Then the word of the LORD came unto Jeremiah the prophet, after that Hananiah the prophet had broken the yoke from off the neck of the prophet Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 28:12 Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:13 ============ Jer 28:13 Go and tell Hananiah, saying, Thus saith the LORD; Thou hast broken the yokes of wood; but thou shalt make for them yokes of iron.(KJV-1611) Jer 28:13 -Ale pale ak Ananya. W'a di l' men sa Seyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l' ak yon jouk bèf fèt an fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:14 ============ Jer 28:14 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; I have put a yoke of iron upon the neck of all these nations, that they may serve Nebuchadnezzar king of Babylon; and they shall serve him: and I have given him the beasts of the field also.(KJV-1611) Jer 28:14 Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:15 ============ Jer 28:15 Then said the prophet Jeremiah unto Hananiah the prophet, Hear now, Hananiah; The LORD hath not sent thee; but thou makest this people to trust in a lie.(KJV-1611) Jer 28:15 Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:16 ============ Jer 28:16 Therefore thus saith the LORD; Behold, I will cast thee from off the face of the earth: this year thou shalt die, because thou hast taught rebellion against the LORD.(KJV-1611) Jer 28:16 Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 28:17 ============ Jer 28:17 So Hananiah the prophet died the same year in the seventh month.(KJV-1611) Jer 28:17 Menm lanne an vre, nan setyèm mwa a, pwofèt Ananya mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:1 ============ Jer 29:1 Now these are the words of the letter that Jeremiah the prophet sent from Jerusalem unto the residue of the elders which were carried away captives, and to the priests, and to the prophets, and to all the people whom Nebuchadnezzar had carried away captive from Jerusalem to Babylon;(KJV-1611) Jer 29:1 Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:2 ============ Jer 29:2 (After that Jeconiah the king, and the queen, and the eunuchs, the princes of Judah and Jerusalem, and the carpenters, and the smiths, were departed from Jerusalem;)(KJV-1611) Jer 29:2 Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:3 ============ Jer 29:3 By the hand of Elasah the son of Shaphan, and Gemariah the son of Hilkiah, (whom Zedekiah king of Judah sent unto Babylon to Nebuchadnezzar king of Babylon) saying,(KJV-1611) Jer 29:3 Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la:(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:4 ============ Jer 29:4 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, unto all that are carried away captives, whom I have caused to be carried away from Jerusalem unto Babylon;(KJV-1611) Jer 29:4 -Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:5 ============ Jer 29:5 Build ye houses, and dwell in them; and plant gardens, and eat the fruit of them;(KJV-1611) Jer 29:5 Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:6 ============ Jer 29:6 Take ye wives, and beget sons and daughters; and take wives for your sons, and give your daughters to husbands, that they may bear sons and daughters; that ye may be increased there, and not diminished.(KJV-1611) Jer 29:6 Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:7 ============ Jer 29:7 And seek the peace of the city whither I have caused you to be carried away captives, and pray unto the LORD for it: for in the peace thereof shall ye have peace.(KJV-1611) Jer 29:7 Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:8 ============ Jer 29:8 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Let not your prophets and your diviners, that be in the midst of you, deceive you, neither hearken to your dreams which ye cause to be dreamed.(KJV-1611) Jer 29:8 Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:9 ============ Jer 29:9 For they prophesy falsely unto you in my name: I have not sent them, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 29:9 Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:10 ============ Jer 29:10 For thus saith the LORD, That after seventy years be accomplished at Babylon I will visit you, and perform my good word toward you, in causing you to return to this place.(KJV-1611) Jer 29:10 Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:11 ============ Jer 29:11 For I know the thoughts that I think toward you, saith the LORD, thoughts of peace, and not of evil, to give you an expected end.(KJV-1611) Jer 29:11 Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:12 ============ Jer 29:12 Then shall ye call upon me, and ye shall go and pray unto me, and I will hearken unto you.(KJV-1611) Jer 29:12 Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:13 ============ Jer 29:13 And ye shall seek me, and find me, when ye shall search for me with all your heart.(KJV-1611) Jer 29:13 N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:14 ============ Jer 29:14 And I will be found of you, saith the LORD: and I will turn away your captivity, and I will gather you from all the nations, and from all the places whither I have driven you, saith the LORD; and I will bring you again into the place whence I caused you to be carried away captive.(KJV-1611) Jer 29:14 Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:15 ============ Jer 29:15 Because ye have said, The LORD hath raised us up prophets in Babylon;(KJV-1611) Jer 29:15 Seyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:16 ============ Jer 29:16 Know that thus saith the LORD of the king that sitteth upon the throne of David, and of all the people that dwelleth in this city, and of your brethren that are not gone forth with you into captivity;(KJV-1611) Jer 29:16 Enben, men sa Seyè a di sou wa ki chita sou fotèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pa t' depòte ansanm ak nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:17 ============ Jer 29:17 Thus saith the LORD of hosts; Behold, I will send upon them the sword, the famine, and the pestilence, and will make them like vile figs, that cannot be eaten, they are so evil.(KJV-1611) Jer 29:17 Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:18 ============ Jer 29:18 And I will persecute them with the sword, with the famine, and with the pestilence, and will deliver them to be removed to all the kingdoms of the earth, to be a curse, and an astonishment, and an hissing, and a reproach, among all the nations whither I have driven them:(KJV-1611) Jer 29:18 M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:19 ============ Jer 29:19 Because they have not hearkened to my words, saith the LORD, which I sent unto them by my servants the prophets, rising up early and sending them; but ye would not hear, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 29:19 Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:20 ============ Jer 29:20 Hear ye therefore the word of the LORD, all ye of the captivity, whom I have sent from Jerusalem to Babylon:(KJV-1611) Jer 29:20 Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l' depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:21 ============ Jer 29:21 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, of Ahab the son of Kolaiah, and of Zedekiah the son of Maaseiah, which prophesy a lie unto you in my name; Behold, I will deliver them into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon; and he shall slay them before your eyes;(KJV-1611) Jer 29:21 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:22 ============ Jer 29:22 And of them shall be taken up a curse by all the captivity of Judah which are in Babylon, saying, The LORD make thee like Zedekiah and like Ahab, whom the king of Babylon roasted in the fire;(KJV-1611) Jer 29:22 Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Seyè a fè ou sa l' te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:23 ============ Jer 29:23 Because they have committed villany in Israel, and have committed adultery with their neighbours' wives, and have spoken lying words in my name, which I have not commanded them; even I know, and am a witness, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 29:23 Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:24 ============ Jer 29:24 Thus shalt thou also speak to Shemaiah the Nehelamite, saying,(KJV-1611) Jer 29:24 Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam,(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:25 ============ Jer 29:25 Thus speaketh the LORD of hosts, the God of Israel, saying, Because thou hast sent letters in thy name unto all the people that are at Jerusalem, and to Zephaniah the son of Maaseiah the priest, and to all the priests, saying,(KJV-1611) Jer 29:25 paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:26 ============ Jer 29:26 The LORD hath made thee priest in the stead of Jehoiada the priest, that ye should be officers in the house of the LORD, for every man that is mad, and maketh himself a prophet, that thou shouldest put him in prison, and in the stocks.(KJV-1611) Jer 29:26 -Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:27 ============ Jer 29:27 Now therefore why hast thou not reproved Jeremiah of Anathoth, which maketh himself a prophet to you?(KJV-1611) Jer 29:27 Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la?(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:28 ============ Jer 29:28 For therefore he sent unto us in Babylon, saying, This captivity is long: build ye houses, and dwell in them; and plant gardens, and eat the fruit of them.(KJV-1611) Jer 29:28 Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:29 ============ Jer 29:29 And Zephaniah the priest read this letter in the ears of Jeremiah the prophet.(KJV-1611) Jer 29:29 Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:30 ============ Jer 29:30 Then came the word of the LORD unto Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 29:30 Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a:(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:31 ============ Jer 29:31 Send to all them of the captivity, saying, Thus saith the LORD concerning Shemaiah the Nehelamite; Because that Shemaiah hath prophesied unto you, and I sent him not, and he caused you to trust in a lie:(KJV-1611) Jer 29:31 -Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 29:32 ============ Jer 29:32 Therefore thus saith the LORD; Behold, I will punish Shemaiah the Nehelamite, and his seed: he shall not have a man to dwell among this people; neither shall he behold the good that I will do for my people, saith the LORD; because he hath taught rebellion against the LORD.(KJV-1611) Jer 29:32 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:1 ============ Jer 30:1 The word that came to Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 30:1 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi:(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:2 ============ Jer 30:2 Thus speaketh the LORD God of Israel, saying, Write thee all the words that I have spoken unto thee in a book.(KJV-1611) Jer 30:2 -Se mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap pale avè ou. Ekri nan yon liv tou sa mwen te di ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:3 ============ Jer 30:3 For, lo, the days come, saith the LORD, that I will bring again the captivity of my people Israel and Judah, saith the LORD: and I will cause them to return to the land that I gave to their fathers, and they shall possess it.(KJV-1611) Jer 30:3 Paske, talè konsa mwen pral fè pèp mwen an, moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo kanpe ankò. M'ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo, y'a reprann peyi a pou yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:4 ============ Jer 30:4 And these are the words that the LORD spake concerning Israel and concerning Judah.(KJV-1611) Jer 30:4 Men mesaj Seyè a voye bay moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:5 ============ Jer 30:5 For thus saith the LORD; We have heard a voice of trembling, of fear, and not of peace.(KJV-1611) Jer 30:5 Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:6 ============ Jer 30:6 Ask ye now, and see whether a man doth travail with child? wherefore do I see every man with his hands on his loins, as a woman in travail, and all faces are turned into paleness?(KJV-1611) Jer 30:6 Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:7 ============ Jer 30:7 Alas! for that day is great, so that none is like it: it is even the time of Jacob's trouble, but he shall be saved out of it.(KJV-1611) Jer 30:7 Ala malè, mezanmi! Se yon gwo jou malè k'ap vini. Pa gen jou ki ka parèt devan li. Se va yon tan lafliksyon pou fanmi Jakòb la! Men, y'a chape anba l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:8 ============ Jer 30:8 For it shall come to pass in that day, saith the LORD of hosts, that I will break his yoke from off thy neck, and will burst thy bonds, and strangers shall no more serve themselves of him:(KJV-1611) Jer 30:8 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:9 ============ Jer 30:9 But they shall serve the LORD their God, and David their king, whom I will raise up unto them.(KJV-1611) Jer 30:9 Se mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa sou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:10 ============ Jer 30:10 Therefore fear thou not, O my servant Jacob, saith the LORD; neither be dismayed, O Israel: for, lo, I will save thee from afar, and thy seed from the land of their captivity; and Jacob shall return, and shall be in rest, and be quiet, and none shall make him afraid.(KJV-1611) Jer 30:10 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:11 ============ Jer 30:11 For I am with thee, saith the LORD, to save thee: though I make a full end of all nations whither I have scattered thee, yet I will not make a full end of thee: but I will correct thee in measure, and will not leave thee altogether unpunished.(KJV-1611) Jer 30:11 M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:12 ============ Jer 30:12 For thus saith the LORD, Thy bruise is incurable, and thy wound is grievous.(KJV-1611) Jer 30:12 Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:13 ============ Jer 30:13 There is none to plead thy cause, that thou mayest be bound up: thou hast no healing medicines.(KJV-1611) Jer 30:13 Pa gen pesonn pou defann kòz ou. Se vre, yo konn geri malenng. Men, pou malenng pa ou la, pa gen renmèd.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:14 ============ Jer 30:14 All thy lovers have forgotten thee; they seek thee not; for I have wounded thee with the wound of an enemy, with the chastisement of a cruel one, for the multitude of thine iniquity; because thy sins were increased.(KJV-1611) Jer 30:14 Tout moun ki t'ap fè lamou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m' te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:15 ============ Jer 30:15 Why criest thou for thine affliction? thy sorrow is incurable for the multitude of thine iniquity: because thy sins were increased, I have done these things unto thee.(KJV-1611) Jer 30:15 Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:16 ============ Jer 30:16 Therefore all they that devour thee shall be devoured; and all thine adversaries, every one of them, shall go into captivity; and they that spoil thee shall be a spoil, and all that prey upon thee will I give for a prey.(KJV-1611) Jer 30:16 Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:17 ============ Jer 30:17 For I will restore health unto thee, and I will heal thee of thy wounds, saith the LORD; because they called thee an Outcast, saying, This is Zion, whom no man seeketh after.(KJV-1611) Jer 30:17 Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:18 ============ Jer 30:18 Thus saith the LORD; Behold, I will bring again the captivity of Jacob's tents, and have mercy on his dwellingplaces; and the city shall be builded upon her own heap, and the palace shall remain after the manner thereof.(KJV-1611) Jer 30:18 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè moun fanmi Jakòb yo te depòte yo tounen lakay yo. Mwen pral gen pitye pou chak fanmi. Yo pral rebati lavil yo sou anplasman vye mazi yo. Yo pral rebati gwo bèl kay yo kote yo te ye anvan an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:19 ============ Jer 30:19 And out of them shall proceed thanksgiving and the voice of them that make merry: and I will multiply them, and they shall not be few; I will also glorify them, and they shall not be small.(KJV-1611) Jer 30:19 Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:20 ============ Jer 30:20 Their children also shall be as aforetime, and their congregation shall be established before me, and I will punish all that oppress them.(KJV-1611) Jer 30:20 Pitit gason yo va tankou nan tan lontan. M'ap fè peyi a kanpe byen fèm ankò devan mwen. M'a pini tout moun k'ap peze yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:21 ============ Jer 30:21 And their nobles shall be of themselves, and their governor shall proceed from the midst of them; and I will cause him to draw near, and he shall approach unto me: for who is this that engaged his heart to approach unto me? saith the LORD.(KJV-1611) Jer 30:21 Se yonn nan nou ki va chèf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chèf va soti pou gouvènen nou. L'a vin jwenn mwen lè m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:22 ============ Jer 30:22 And ye shall be my people, and I will be your God.(KJV-1611) Jer 30:22 Lè sa a, se pèp mwen y'a ye ankò, mwen menm m'a Bondye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:23 ============ Jer 30:23 Behold, the whirlwind of the LORD goeth forth with fury, a continuing whirlwind: it shall fall with pain upon the head of the wicked.(KJV-1611) Jer 30:23 Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt, yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 30:24 ============ Jer 30:24 The fierce anger of the LORD shall not return, until he hath done it, and until he have performed the intents of his heart: in the latter days ye shall consider it.(KJV-1611) Jer 30:24 Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li soti pou li fè a. Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:1 ============ Jer 31:1 At the same time, saith the LORD, will I be the God of all the families of Israel, and they shall be my people.(KJV-1611) Jer 31:1 Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:2 ============ Jer 31:2 Thus saith the LORD, The people which were left of the sword found grace in the wilderness; even Israel, when I went to cause him to rest.(KJV-1611) Jer 31:2 Nan dezè a mwen te aji ak bon kè ak moun ki te chape anba lanmò nan lagè. Moun Izrayèl yo pral resi viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:3 ============ Jer 31:3 The LORD hath appeared of old unto me, saying, Yea, I have loved thee with an everlasting love: therefore with lovingkindness have I drawn thee.(KJV-1611) Jer 31:3 Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:4 ============ Jer 31:4 Again I will build thee, and thou shalt be built, O virgin of Israel: thou shalt again be adorned with thy tabrets, and shalt go forth in the dances of them that make merry.(KJV-1611) Jer 31:4 Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:5 ============ Jer 31:5 Thou shalt yet plant vines upon the mountains of Samaria: the planters shall plant, and shall eat them as common things.(KJV-1611) Jer 31:5 Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo. Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:6 ============ Jer 31:6 For there shall be a day, that the watchmen upon the mount Ephraim shall cry, Arise ye, and let us go up to Zion unto the LORD our God.(KJV-1611) Jer 31:6 Wi, lè sa a moun k'ap veye yo va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò: Annou wè! Ann moute mòn Siyon, bò kot Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:7 ============ Jer 31:7 For thus saith the LORD; Sing with gladness for Jacob, and shout among the chief of the nations: publish ye, praise ye, and say, O LORD, save thy people, the remnant of Israel.(KJV-1611) Jer 31:7 Seyè a di ankò: -Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la! Pi gwo nasyon pase l' nanpwen. Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye. Seyè a delivre pèp li a. Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:8 ============ Jer 31:8 Behold, I will bring them from the north country, and gather them from the coasts of the earth, and with them the blind and the lame, the woman with child and her that travaileth with child together: a great company shall return thither.(KJV-1611) Jer 31:8 Wi, se mwen menm, Seyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:9 ============ Jer 31:9 They shall come with weeping, and with supplications will I lead them: I will cause them to walk by the rivers of waters in a straight way, wherein they shall not stumble: for I am a father to Israel, and Ephraim is my firstborn.(KJV-1611) Jer 31:9 Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:10 ============ Jer 31:10 Hear the word of the LORD, O ye nations, and declare it in the isles afar off, and say, He that scattered Israel will gather him, and keep him, as a shepherd doth his flock.(KJV-1611) Jer 31:10 Seyè a di ankò: -Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l' nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Seyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:11 ============ Jer 31:11 For the LORD hath redeemed Jacob, and ransomed him from the hand of him that was stronger than he.(KJV-1611) Jer 31:11 Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:12 ============ Jer 31:12 Therefore they shall come and sing in the height of Zion, and shall flow together to the goodness of the LORD, for wheat, and for wine, and for oil, and for the young of the flock and of the herd: and their soul shall be as a watered garden; and they shall not sorrow any more at all.(KJV-1611) Jer 31:12 Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:13 ============ Jer 31:13 Then shall the virgin rejoice in the dance, both young men and old together: for I will turn their mourning into joy, and will comfort them, and make them rejoice from their sorrow.(KJV-1611) Jer 31:13 Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:14 ============ Jer 31:14 And I will satiate the soul of the priests with fatness, and my people shall be satisfied with my goodness, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 31:14 M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo. Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:15 ============ Jer 31:15 Thus saith the LORD; A voice was heard in Ramah, lamentation, and bitter weeping; Rahel weeping for her children refused to be comforted for her children, because they were not.(KJV-1611) Jer 31:15 Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:16 ============ Jer 31:16 Thus saith the LORD; Refrain thy voice from weeping, and thine eyes from tears: for thy work shall be rewarded, saith the LORD; and they shall come again from the land of the enemy.(KJV-1611) Jer 31:16 Men sa Seyè a di ankò: -Sispann rèl ou yo, Rachèl. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi. Y'ap tounen soti nan peyi lènmi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:17 ============ Jer 31:17 And there is hope in thine end, saith the LORD, that thy children shall come again to their own border.(KJV-1611) Jer 31:17 Gen bèl espwa pou ou denmen. Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:18 ============ Jer 31:18 I have surely heard Ephraim bemoaning himself thus; Thou hast chastised me, and I was chastised, as a bullock unaccustomed to the yoke: turn thou me, and I shall be turned; for thou art the LORD my God.(KJV-1611) Jer 31:18 Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:19 ============ Jer 31:19 Surely after that I was turned, I repented; and after that I was instructed, I smote upon my thigh: I was ashamed, yea, even confounded, because I did bear the reproach of my youth.(KJV-1611) Jer 31:19 Nou te vire do ba ou, men, koulye a nou vle tounen vin jwenn ou. Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal. Nou te wont, nou te bese tèt nou atè, paske nou te peche nan tan jennès nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:20 ============ Jer 31:20 Is Ephraim my dear son? is he a pleasant child? for since I spake against him, I do earnestly remember him still: therefore my bowels are troubled for him; I will surely have mercy upon him, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 31:20 Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:21 ============ Jer 31:21 Set thee up waymarks, make thee high heaps: set thine heart toward the highway, even the way which thou wentest: turn again, O virgin of Israel, turn again to these thy cities.(KJV-1611) Jer 31:21 Mete mak sou tout wout la, plante jalon sou tout chemen an. Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a. Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo, tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:22 ============ Jer 31:22 How long wilt thou go about, O thou backsliding daughter? for the LORD hath created a new thing in the earth, A woman shall compass a man.(KJV-1611) Jer 31:22 Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò! Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a: Koulye a se fanm k'ap liyen gason.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:23 ============ Jer 31:23 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; As yet they shall use this speech in the land of Judah and in the cities thereof, when I shall bring again their captivity; The LORD bless thee, O habitation of justice, and mountain of holiness.(KJV-1611) Jer 31:23 Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:24 ============ Jer 31:24 And there shall dwell in Judah itself, and in all the cities thereof together, husbandmen, and they that go forth with flocks.(KJV-1611) Jer 31:24 Se sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:25 ============ Jer 31:25 For I have satiated the weary soul, and I have replenished every sorrowful soul.(KJV-1611) Jer 31:25 Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouraj. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:26 ============ Jer 31:26 Upon this I awaked, and beheld; and my sleep was sweet unto me.(KJV-1611) Jer 31:26 Lè sa a, pèp la va di: M' al dòmi. Lè m' leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:27 ============ Jer 31:27 Behold, the days come, saith the LORD, that I will sow the house of Israel and the house of Judah with the seed of man, and with the seed of beast.(KJV-1611) Jer 31:27 Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:28 ============ Jer 31:28 And it shall come to pass, that like as I have watched over them, to pluck up, and to break down, and to throw down, and to destroy, and to afflict; so will I watch over them, to build, and to plant, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 31:28 Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:29 ============ Jer 31:29 In those days they shall say no more, The fathers have eaten a sour grape, and the children's teeth are set on edge.(KJV-1611) Jer 31:29 Lè sa a, pesonn p'ap di ankò: Papa ak manman te manje rezen vèt, se dan timoun yo ki gasi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:30 ============ Jer 31:30 But every one shall die for his own iniquity: every man that eateth the sour grape, his teeth shall be set on edge.(KJV-1611) Jer 31:30 Moun ki manje rezen vèt la, se li menm ki va gen dan gasi. Chak moun va mouri pou sa li fè ki mal.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:31 ============ Jer 31:31 Behold, the days come, saith the LORD, that I will make a new covenant with the house of Israel, and with the house of Judah:(KJV-1611) Jer 31:31 Seyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:32 ============ Jer 31:32 Not according to the covenant that I made with their fathers in the day that I took them by the hand to bring them out of the land of Egypt; which my covenant they brake, although I was an husband unto them, saith the LORD:(KJV-1611) Jer 31:32 Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:33 ============ Jer 31:33 But this shall be the covenant that I will make with the house of Israel; After those days, saith the LORD, I will put my law in their inward parts, and write it in their hearts; and will be their God, and they shall be my people.(KJV-1611) Jer 31:33 Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:34 ============ Jer 31:34 And they shall teach no more every man his neighbour, and every man his brother, saying, Know the LORD: for they shall all know me, from the least of them unto the greatest of them, saith the LORD: for I will forgive their iniquity, and I will remember their sin no more.(KJV-1611) Jer 31:34 Pesonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Seyè a, paske yo tout ap konnen m', depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:35 ============ Jer 31:35 Thus saith the LORD, which giveth the sun for a light by day, and the ordinances of the moon and of the stars for a light by night, which divideth the sea when the waves thereof roar; The LORD of hosts is his name:(KJV-1611) Jer 31:35 Seyè a mete solèy la pou l' klere lajounen. Li bay lalin ak zetwal yo lòd pou yo klere lannwit. Li eksite lanmè a, li fè l' move. Se li menm ki Seyè ki gen tout pouvwa a: Se konsa yo rele l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:36 ============ Jer 31:36 If those ordinances depart from before me, saith the LORD, then the seed of Israel also shall cease from being a nation before me for ever.(KJV-1611) Jer 31:36 Toutotan prensip sa yo va kenbe, se toutotan pèp Izrayèl la va yon nasyon devan mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:37 ============ Jer 31:37 Thus saith the LORD; If heaven above can be measured, and the foundations of the earth searched out beneath, I will also cast off all the seed of Israel for all that they have done, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 31:37 Si yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la, si yo ka rive konnen fondasyon latè a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:38 ============ Jer 31:38 Behold, the days come, saith the LORD, that the city shall be built to the LORD from the tower of Hananeel unto the gate of the corner.(KJV-1611) Jer 31:38 Men sa Seyè a di ankò: -Pa rete lontan ankò, yo pral rebati tout lavil Jerizalèm pou Seyè a, depi gwo fò Ananyèl la jouk Pòtay Kwen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:39 ============ Jer 31:39 And the measuring line shall yet go forth over against it upon the hill Gareb, and shall compass about to Goath.(KJV-1611) Jer 31:39 Limit lavil la va konmanse la, l'a pran direksyon ti mòn Garèb la sou bò lwès, l'a vire bò Goa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 31:40 ============ Jer 31:40 And the whole valley of the dead bodies, and of the ashes, and all the fields unto the brook of Kidron, unto the corner of the horse gate toward the east, shall be holy unto the LORD; it shall not be plucked up, nor thrown down any more for ever.(KJV-1611) Jer 31:40 Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki soti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:1 ============ Jer 32:1 The word that came to Jeremiah from the LORD in the tenth year of Zedekiah king of Judah, which was the eighteenth year of Nebuchadrezzar.(KJV-1611) Jer 32:1 Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:2 ============ Jer 32:2 For then the king of Babylon's army besieged Jerusalem: and Jeremiah the prophet was shut up in the court of the prison, which was in the king of Judah's house.(KJV-1611) Jer 32:2 Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l' nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:3 ============ Jer 32:3 For Zedekiah king of Judah had shut him up, saying, Wherefore dost thou prophesy, and say, Thus saith the LORD, Behold, I will give this city into the hand of the king of Babylon, and he shall take it;(KJV-1611) Jer 32:3 Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:4 ============ Jer 32:4 And Zedekiah king of Judah shall not escape out of the hand of the Chaldeans, but shall surely be delivered into the hand of the king of Babylon, and shall speak with him mouth to mouth, and his eyes shall behold his eyes;(KJV-1611) Jer 32:4 Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l' nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:5 ============ Jer 32:5 And he shall lead Zedekiah to Babylon, and there shall he be until I visit him, saith the LORD: though ye fight with the Chaldeans, ye shall not prosper.(KJV-1611) Jer 32:5 Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:6 ============ Jer 32:6 And Jeremiah said, The word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Jer 32:6 Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l'. Seyè a te di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:7 ============ Jer 32:7 Behold, Hanameel the son of Shallum thine uncle shall come unto thee saying, Buy thee my field that is in Anathoth: for the right of redemption is thine to buy it.(KJV-1611) Jer 32:7 -Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:8 ============ Jer 32:8 So Hanameel mine uncle's son came to me in the court of the prison according to the word of the LORD, and said unto me, Buy my field, I pray thee, that is in Anathoth, which is in the country of Benjamin: for the right of inheritance is thine, and the redemption is thine; buy it for thyself. Then I knew that this was the word of the LORD.(KJV-1611) Jer 32:8 Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:9 ============ Jer 32:9 And I bought the field of Hanameel my uncle's son, that was in Anathoth, and weighed him the money, even seventeen shekels of silver.(KJV-1611) Jer 32:9 M' achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m' lan, mwen peze lajan pou m' ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:10 ============ Jer 32:10 And I subscribed the evidence, and sealed it, and took witnesses, and weighed him the money in the balances.(KJV-1611) Jer 32:10 Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m' sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:11 ============ Jer 32:11 So I took the evidence of the purchase, both that which was sealed according to the law and custom, and that which was open:(KJV-1611) Jer 32:11 Apre sa, mwen pran de papye tè yo. Sa ki te sele a te gen kontra lavant lan jan lalwa mande l' la. Lòt papye a te rete tou louvri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:12 ============ Jer 32:12 And I gave the evidence of the purchase unto Baruch the son of Neriah, the son of Maaseiah, in the sight of Hanameel mine uncle's son, and in the presence of the witnesses that subscribed the book of the purchase, before all the Jews that sat in the court of the prison.(KJV-1611) Jer 32:12 Mwen renmèt papye tè yo bay Bawouk, pitit gason Nerija, pitit pitit Makseja, devan Anamèl, kouzen m' lan, devan lòt temwen ki te siyen papye tè yo, devan tout moun peyi Jida ki te la nan lakou gad palè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:13 ============ Jer 32:13 And I charged Baruch before them, saying,(KJV-1611) Jer 32:13 Devan yo tout, mwen di Bawouk konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:14 ============ Jer 32:14 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Take these evidences, this evidence of the purchase, both which is sealed, and this evidence which is open; and put them in an earthen vessel, that they may continue many days.(KJV-1611) Jer 32:14 -Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:15 ============ Jer 32:15 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Houses and fields and vineyards shall be possessed again in this land.(KJV-1611) Jer 32:15 Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:16 ============ Jer 32:16 Now when I had delivered the evidence of the purchase unto Baruch the son of Neriah, I prayed unto the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 32:16 Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l':(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:17 ============ Jer 32:17 Ah Lord GOD! behold, thou hast made the heaven and the earth by thy great power and stretched out arm, and there is nothing too hard for thee:(KJV-1611) Jer 32:17 -Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:18 ============ Jer 32:18 Thou shewest lovingkindness unto thousands, and recompensest the iniquity of the fathers into the bosom of their children after them: the Great, the Mighty God, the LORD of hosts, is his name,(KJV-1611) Jer 32:18 Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:19 ============ Jer 32:19 Great in counsel, and mighty in work: for thine eyes are open upon all the ways of the sons of men: to give every one according to his ways, and according to the fruit of his doings:(KJV-1611) Jer 32:19 Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:20 ============ Jer 32:20 Which hast set signs and wonders in the land of Egypt, even unto this day, and in Israel, and among other men; and hast made thee a name, as at this day;(KJV-1611) Jer 32:20 Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:21 ============ Jer 32:21 And hast brought forth thy people Israel out of the land of Egypt with signs, and with wonders, and with a strong hand, and with a stretched out arm, and with great terror;(KJV-1611) Jer 32:21 Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:22 ============ Jer 32:22 And hast given them this land, which thou didst swear to their fathers to give them, a land flowing with milk and honey;(KJV-1611) Jer 32:22 Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:23 ============ Jer 32:23 And they came in, and possessed it; but they obeyed not thy voice, neither walked in thy law; they have done nothing of all that thou commandedst them to do: therefore thou hast caused all this evil to come upon them:(KJV-1611) Jer 32:23 Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:24 ============ Jer 32:24 Behold the mounts, they are come unto the city to take it; and the city is given into the hand of the Chaldeans, that fight against it, because of the sword, and of the famine, and of the pestilence: and what thou hast spoken is come to pass; and, behold, thou seest it.(KJV-1611) Jer 32:24 Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:25 ============ Jer 32:25 And thou hast said unto me, O Lord GOD, Buy thee the field for money, and take witnesses; for the city is given into the hand of the Chaldeans.(KJV-1611) Jer 32:25 Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m' lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen?(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:26 ============ Jer 32:26 Then came the word of the LORD unto Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 32:26 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:27 ============ Jer 32:27 Behold, I am the LORD, the God of all flesh: is there any thing too hard for me?(KJV-1611) Jer 32:27 -Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m' fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:28 ============ Jer 32:28 Therefore thus saith the LORD; Behold, I will give this city into the hand of the Chaldeans, and into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and he shall take it:(KJV-1611) Jer 32:28 Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m'ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nèbikadneza, wa yo a! Y'ap pran lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:29 ============ Jer 32:29 And the Chaldeans, that fight against this city, shall come and set fire on this city, and burn it with the houses, upon whose roofs they have offered incense unto Baal, and poured out drink offerings unto other gods, to provoke me to anger.(KJV-1611) Jer 32:29 Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l'. Y'ap mete dife, y'ap boule l'. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m' fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:30 ============ Jer 32:30 For the children of Israel and the children of Judah have only done evil before me from their youth: for the children of Israel have only provoked me to anger with the work of their hands, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 32:30 Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m' fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:31 ============ Jer 32:31 For this city hath been to me as a provocation of mine anger and of my fury from the day that they built it even unto this day; that I should remove it from before my face,(KJV-1611) Jer 32:31 Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l' la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m' fè, se move san l'ap fè m' fè. Kifè koulye a, mwen pa ka wè l' devan je m' ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:32 ============ Jer 32:32 Because of all the evil of the children of Israel and of the children of Judah, which they have done to provoke me to anger, they, their kings, their princes, their priests, and their prophets, and the men of Judah, and the inhabitants of Jerusalem.(KJV-1611) Jer 32:32 Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m' about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:33 ============ Jer 32:33 And they have turned unto me the back, and not the face: though I taught them, rising up early and teaching them, yet they have not hearkened to receive instruction.(KJV-1611) Jer 32:33 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t' janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t' vle koute m', yo pa vle aprann.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:34 ============ Jer 32:34 But they set their abominations in the house, which is called by my name, to defile it.(KJV-1611) Jer 32:34 Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:35 ============ Jer 32:35 And they built the high places of Baal, which are in the valley of the son of Hinnom, to cause their sons and their daughters to pass through the fire unto Molech; which I commanded them not, neither came it into my mind, that they should do this abomination, to cause Judah to sin.(KJV-1611) Jer 32:35 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:36 ============ Jer 32:36 And now therefore thus saith the LORD, the God of Israel, concerning this city, whereof ye say, It shall be delivered into the hand of the king of Babylon by the sword, and by the famine, and by the pestilence;(KJV-1611) Jer 32:36 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:37 ============ Jer 32:37 Behold, I will gather them out of all countries, whither I have driven them in mine anger, and in my fury, and in great wrath; and I will bring them again unto this place, and I will cause them to dwell safely:(KJV-1611) Jer 32:37 Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:38 ============ Jer 32:38 And they shall be my people, and I will be their God:(KJV-1611) Jer 32:38 Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:39 ============ Jer 32:39 And I will give them one heart, and one way, that they may fear me for ever, for the good of them, and of their children after them:(KJV-1611) Jer 32:39 Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:40 ============ Jer 32:40 And I will make an everlasting covenant with them, that I will not turn away from them, to do them good; but I will put my fear in their hearts, that they shall not depart from me.(KJV-1611) Jer 32:40 M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:41 ============ Jer 32:41 Yea, I will rejoice over them to do them good, and I will plant them in this land assuredly with my whole heart and with my whole soul.(KJV-1611) Jer 32:41 M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:42 ============ Jer 32:42 For thus saith the LORD; Like as I have brought all this great evil upon this people, so will I bring upon them all the good that I have promised them.(KJV-1611) Jer 32:42 Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m'ap ba yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:43 ============ Jer 32:43 And fields shall be bought in this land, whereof ye say, It is desolate without man or beast; it is given into the hand of the Chaldeans.(KJV-1611) Jer 32:43 W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l'. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 32:44 ============ Jer 32:44 Men shall buy fields for money, and subscribe evidences, and seal them, and take witnesses in the land of Benjamin, and in the places about Jerusalem, and in the cities of Judah, and in the cities of the mountains, and in the cities of the valley, and in the cities of the south: for I will cause their captivity to return, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 32:44 Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalèm(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:1 ============ Jer 33:1 Moreover the word of the LORD came unto Jeremiah the second time, while he was yet shut up in the court of the prison, saying,(KJV-1611) Jer 33:1 Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Seyè a pale avè l' ankò. Li di l':(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:2 ============ Jer 33:2 Thus saith the LORD the maker thereof, the LORD that formed it, to establish it; the LORD is his name;(KJV-1611) Jer 33:2 -Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l' nan plas li. Se mwen menm yo rele Seyè a. Men sa mwen di:(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:3 ============ Jer 33:3 Call unto me, and I will answer thee, and shew thee great and mighty things, which thou knowest not.(KJV-1611) Jer 33:3 Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:4 ============ Jer 33:4 For thus saith the LORD, the God of Israel, concerning the houses of this city, and concerning the houses of the kings of Judah, which are thrown down by the mounts, and by the sword;(KJV-1611) Jer 33:4 Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:5 ============ Jer 33:5 They come to fight with the Chaldeans, but it is to fill them with the dead bodies of men, whom I have slain in mine anger and in my fury, and for all whose wickedness I have hid my face from this city.(KJV-1611) Jer 33:5 Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:6 ============ Jer 33:6 Behold, I will bring it health and cure, and I will cure them, and will reveal unto them the abundance of peace and truth.(KJV-1611) Jer 33:6 Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:7 ============ Jer 33:7 And I will cause the captivity of Judah and the captivity of Israel to return, and will build them, as at the first.(KJV-1611) Jer 33:7 M'ap fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:8 ============ Jer 33:8 And I will cleanse them from all their iniquity, whereby they have sinned against me; and I will pardon all their iniquities, whereby they have sinned, and whereby they have transgressed against me.(KJV-1611) Jer 33:8 M'ap mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m', m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m' lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:9 ============ Jer 33:9 And it shall be to me a name of joy, a praise and an honour before all the nations of the earth, which shall hear all the good that I do unto them: and they shall fear and tremble for all the goodness and for all the prosperity that I procure unto it.(KJV-1611) Jer 33:9 Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:10 ============ Jer 33:10 Thus saith the LORD; Again there shall be heard in this place, which ye say shall be desolate without man and without beast, even in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem, that are desolate, without man, and without inhabitant, and without beast,(KJV-1611) Jer 33:10 Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:11 ============ Jer 33:11 The voice of joy, and the voice of gladness, the voice of the bridegroom, and the voice of the bride, the voice of them that shall say, Praise the LORD of hosts: for the LORD is good; for his mercy endureth for ever: and of them that shall bring the sacrifice of praise into the house of the LORD. For I will cause to return the captivity of the land, as at the first, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 33:11 vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:12 ============ Jer 33:12 Thus saith the LORD of hosts; Again in this place, which is desolate without man and without beast, and in all the cities thereof, shall be an habitation of shepherds causing their flocks to lie down.(KJV-1611) Jer 33:12 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:13 ============ Jer 33:13 In the cities of the mountains, in the cities of the vale, and in the cities of the south, and in the land of Benjamin, and in the places about Jerusalem, and in the cities of Judah, shall the flocks pass again under the hands of him that telleth them, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 33:13 Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:14 ============ Jer 33:14 Behold, the days come, saith the LORD, that I will perform that good thing which I have promised unto the house of Israel and to the house of Judah.(KJV-1611) Jer 33:14 Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:15 ============ Jer 33:15 In those days, and at that time, will I cause the Branch of righteousness to grow up unto David; and he shall execute judgment and righteousness in the land.(KJV-1611) Jer 33:15 Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:16 ============ Jer 33:16 In those days shall Judah be saved, and Jerusalem shall dwell safely: and this is the name wherewith she shall be called, The LORD our righteousness.(KJV-1611) Jer 33:16 Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:17 ============ Jer 33:17 For thus saith the LORD; David shall never want a man to sit upon the throne of the house of Israel;(KJV-1611) Jer 33:17 Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:18 ============ Jer 33:18 Neither shall the priests the Levites want a man before me to offer burnt offerings, and to kindle meat offerings, and to do sacrifice continually.(KJV-1611) Jer 33:18 Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:19 ============ Jer 33:19 And the word of the LORD came unto Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 33:19 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l':(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:20 ============ Jer 33:20 Thus saith the LORD; If ye can break my covenant of the day, and my covenant of the night, and that there should not be day and night in their season;(KJV-1611) Jer 33:20 -Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:21 ============ Jer 33:21 Then may also my covenant be broken with David my servant, that he should not have a son to reign upon his throne; and with the Levites the priests, my ministers.(KJV-1611) Jer 33:21 Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:22 ============ Jer 33:22 As the host of heaven cannot be numbered, neither the sand of the sea measured: so will I multiply the seed of David my servant, and the Levites that minister unto me.(KJV-1611) Jer 33:22 Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:23 ============ Jer 33:23 Moreover the word of the LORD came to Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 33:23 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l':(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:24 ============ Jer 33:24 Considerest thou not what this people have spoken, saying, The two families which the LORD hath chosen, he hath even cast them off? thus they have despised my people, that they should be no more a nation before them.(KJV-1611) Jer 33:24 -Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:25 ============ Jer 33:25 Thus saith the LORD; If my covenant be not with day and night, and if I have not appointed the ordinances of heaven and earth;(KJV-1611) Jer 33:25 Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache.(Creole-HT) ======= Jeremiah 33:26 ============ Jer 33:26 Then will I cast away the seed of Jacob and David my servant, so that I will not take any of his seed to be rulers over the seed of Abraham, Isaac, and Jacob: for I will cause their captivity to return, and have mercy on them.(KJV-1611) Jer 33:26 Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:1 ============ Jer 34:1 The word which came unto Jeremiah from the LORD, when Nebuchadnezzar king of Babylon, and all his army, and all the kingdoms of the earth of his dominion, and all the people, fought against Jerusalem, and against all the cities thereof, saying,(KJV-1611) Jer 34:1 Yon lòt jou, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Li te gen avè l' tout lame pa l' la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:2 ============ Jer 34:2 Thus saith the LORD, the God of Israel; Go and speak to Zedekiah king of Judah, and tell him, Thus saith the LORD; Behold, I will give this city into the hand of the king of Babylon, and he shall burn it with fire:(KJV-1611) Jer 34:2 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:3 ============ Jer 34:3 And thou shalt not escape out of his hand, but shalt surely be taken, and delivered into his hand; and thine eyes shall behold the eyes of the king of Babylon, and he shall speak with thee mouth to mouth, and thou shalt go to Babylon.(KJV-1611) Jer 34:3 Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:4 ============ Jer 34:4 Yet hear the word of the LORD, O Zedekiah king of Judah; Thus saith the LORD of thee, Thou shalt not die by the sword:(KJV-1611) Jer 34:4 Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesaj Seyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:5 ============ Jer 34:5 But thou shalt die in peace: and with the burnings of thy fathers, the former kings which were before thee, so shall they burn odours for thee; and they will lament thee, saying, Ah lord! for I have pronounced the word, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 34:5 W'ap mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesaj sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:6 ============ Jer 34:6 Then Jeremiah the prophet spake all these words unto Zedekiah king of Judah in Jerusalem,(KJV-1611) Jer 34:6 Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesaj sa a lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:7 ============ Jer 34:7 When the king of Babylon's army fought against Jerusalem, and against all the cities of Judah that were left, against Lachish, and against Azekah: for these defenced cities remained of the cities of Judah.(KJV-1611) Jer 34:7 Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:8 ============ Jer 34:8 This is the word that came unto Jeremiah from the LORD, after that the king Zedekiah had made a covenant with all the people which were at Jerusalem, to proclaim liberty unto them;(KJV-1611) Jer 34:8 Men nan ki sikonstans Seyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te bay(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:9 ============ Jer 34:9 That every man should let his manservant, and every man his maidservant, being an Hebrew or an Hebrewess, go free; that none should serve himself of them, to wit, of a Jew his brother.(KJV-1611) Jer 34:9 tout moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pesonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:10 ============ Jer 34:10 Now when all the princes, and all the people, which had entered into the covenant, heard that every one should let his manservant, and every one his maidservant, go free, that none should serve themselves of them any more, then they obeyed, and let them go.(KJV-1611) Jer 34:10 Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:11 ============ Jer 34:11 But afterward they turned, and caused the servants and the handmaids, whom they had let go free, to return, and brought them into subjection for servants and for handmaids.(KJV-1611) Jer 34:11 Men apre sa, yo chanje lide, yo pran moun yo te bay libète yo, fanm kou gason, yo fòse yo tounen sèvi yo esklav ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:12 ============ Jer 34:12 Therefore the word of the LORD came to Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 34:12 Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:13 ============ Jer 34:13 Thus saith the LORD, the God of Israel; I made a covenant with your fathers in the day that I brought them forth out of the land of Egypt, out of the house of bondmen, saying,(KJV-1611) Jer 34:13 -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:14 ============ Jer 34:14 At the end of seven years let ye go every man his brother an Hebrew, which hath been sold unto thee; and when he hath served thee six years, thou shalt let him go free from thee: but your fathers hearkened not unto me, neither inclined their ear.(KJV-1611) Jer 34:14 Lè yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l' sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l'. Se pou nou kite l' ale. Men, zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa t' okipe sa m' te di yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:15 ============ Jer 34:15 And ye were now turned, and had done right in my sight, in proclaiming liberty every man to his neighbour; and ye had made a covenant before me in the house which is called by my name:(KJV-1611) Jer 34:15 Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:16 ============ Jer 34:16 But ye turned and polluted my name, and caused every man his servant, and every man his handmaid, whom he had set at liberty at their pleasure, to return, and brought them into subjection, to be unto you for servants and for handmaids.(KJV-1611) Jer 34:16 Apre sa, nou chanje lide, nou pa respekte m'. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:17 ============ Jer 34:17 Therefore thus saith the LORD; Ye have not hearkened unto me, in proclaiming liberty, every one to his brother, and every man to his neighbour: behold, I proclaim a liberty for you, saith the LORD, to the sword, to the pestilence, and to the famine; and I will make you to be removed into all the kingdoms of the earth.(KJV-1611) Jer 34:17 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:18 ============ Jer 34:18 And I will give the men that have transgressed my covenant, which have not performed the words of the covenant which they had made before me, when they cut the calf in twain, and passed between the parts thereof,(KJV-1611) Jer 34:18 M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:19 ============ Jer 34:19 The princes of Judah, and the princes of Jerusalem, the eunuchs, and the priests, and all the people of the land, which passed between the parts of the calf;(KJV-1611) Jer 34:19 Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m' lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:20 ============ Jer 34:20 I will even give them into the hand of their enemies, and into the hand of them that seek their life: and their dead bodies shall be for meat unto the fowls of the heaven, and to the beasts of the earth.(KJV-1611) Jer 34:20 M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:21 ============ Jer 34:21 And Zedekiah king of Judah and his princes will I give into the hand of their enemies, and into the hand of them that seek their life, and into the hand of the king of Babylon's army, which are gone up from you.(KJV-1611) Jer 34:21 M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 34:22 ============ Jer 34:22 Behold, I will command, saith the LORD, and cause them to return to this city; and they shall fight against it, and take it, and burn it with fire: and I will make the cities of Judah a desolation without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 34:22 M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:1 ============ Jer 35:1 The word which came unto Jeremiah from the LORD in the days of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, saying,(KJV-1611) Jer 35:1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:2 ============ Jer 35:2 Go unto the house of the Rechabites, and speak unto them, and bring them into the house of the LORD, into one of the chambers, and give them wine to drink.(KJV-1611) Jer 35:2 -Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:3 ============ Jer 35:3 Then I took Jaazaniah the son of Jeremiah, the son of Habaziniah, and his brethren, and all his sons, and the whole house of the Rechabites;(KJV-1611) Jer 35:3 Se konsa Jeremi al chache tout branch fanmi Rekab yo, depi Jazanya, pitit gason Imeja, ki te pitit Abasinya, ansanm ak tout frè l' yo ak tout pitit gason yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:4 ============ Jer 35:4 And I brought them into the house of the LORD, into the chamber of the sons of Hanan, the son of Igdaliah, a man of God, which was by the chamber of the princes, which was above the chamber of Maaseiah the son of Shallum, the keeper of the door:(KJV-1611) Jer 35:4 Li mennen yo nan tanp lan. Li fè yo antre nan pyès chanm yo te bay patizan pwofèt Anan, pitit Igdalya a. Pyès chanm sa a te kole kole ak chanm chèf tanp yo, li te anwo pyès chanm ki pou Maseya, pitit gason Chaloum lan, prèt ki te reskonsab veye pòtay tanp lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:5 ============ Jer 35:5 And I set before the sons of the house of the Rechabites pots full of wine, and cups, and I said unto them, Drink ye wine.(KJV-1611) Jer 35:5 Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: -Bwè diven non!(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:6 ============ Jer 35:6 But they said, We will drink no wine: for Jonadab the son of Rechab our father commanded us, saying, Ye shall drink no wine, neither ye, nor your sons for ever:(KJV-1611) Jer 35:6 Men yo reponn li: -Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:7 ============ Jer 35:7 Neither shall ye build house, nor sow seed, nor plant vineyard, nor have any: but all your days ye shall dwell in tents; that ye may live many days in the land where ye be strangers.(KJV-1611) Jer 35:7 Pa janm bati kay, pa janm travay latè, pa janm plante rezen, pa janm achte bagay konsa non plis. N'a pase tout lavi nou anba tant. Konsa, n'a rete lontan nan peyi ki pa pou nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:8 ============ Jer 35:8 Thus have we obeyed the voice of Jonadab the son of Rechab our father in all that he hath charged us, to drink no wine all our days, we, our wives, our sons, nor our daughters;(KJV-1611) Jer 35:8 Nou toujou obeyi lòd zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab, te ban nou. Nou pa janm bwè diven nan vi nou, ni nou menm, ni madanm nou, ni pitit gason ak pitit fi nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:9 ============ Jer 35:9 Nor to build houses for us to dwell in: neither have we vineyard, nor field, nor seed:(KJV-1611) Jer 35:9 Nou pa bati kay pou nou rete. Nou pa gen pye rezen. Nou pa gen jaden pou n' plante.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:10 ============ Jer 35:10 But we have dwelt in tents, and have obeyed, and done according to all that Jonadab our father commanded us.(KJV-1611) Jer 35:10 Se anba tant nou rete. Konsa, nou toujou fè tou sa Jonadab, zansèt nou, te ban nou lòd fè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:11 ============ Jer 35:11 But it came to pass, when Nebuchadrezzar king of Babylon came up into the land, that we said, Come, and let us go to Jerusalem for fear of the army of the Chaldeans, and for fear of the army of the Syrians: so we dwell at Jerusalem.(KJV-1611) Jer 35:11 Men, lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:12 ============ Jer 35:12 Then came the word of the LORD unto Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 35:12 Lè sa a Seyè a pale ak Jeremi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:13 ============ Jer 35:13 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Go and tell the men of Judah and the inhabitants of Jerusalem, Will ye not receive instruction to hearken to my words? saith the LORD.(KJV-1611) Jer 35:13 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di l': -Ale jwenn moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo, w'a di yo: Poukisa yo pa pran leson sou moun Rekab yo, pou yo fè sa mwen di yo fè. Se mwen menm Seyè a k'ap mande yo sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:14 ============ Jer 35:14 The words of Jonadab the son of Rechab, that he commanded his sons not to drink wine, are performed; for unto this day they drink none, but obey their father's commandment: notwithstanding I have spoken unto you, rising early and speaking; but ye hearkened not unto me.(KJV-1611) Jer 35:14 Jonadab, pitit Rekab la, te bay lòd pou pitit li yo pa janm bwè diven. Jouk jounen jòdi a yo pa janm bwè diven. Yo swiv lòd zansèt yo te ba yo a. Men nou menm, mwen pa janm sispann avèti nou. Nou pa janm koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:15 ============ Jer 35:15 I have sent also unto you all my servants the prophets, rising up early and sending them, saying, Return ye now every man from his evil way, and amend your doings, and go not after other gods to serve them, and ye shall dwell in the land which I have given to you and to your fathers: but ye have not inclined your ear, nor hearkened unto me.(KJV-1611) Jer 35:15 Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:16 ============ Jer 35:16 Because the sons of Jonadab the son of Rechab have performed the commandment of their father, which he commanded them; but this people hath not hearkened unto me:(KJV-1611) Jer 35:16 Pitit Jonadab yo te fè tou sa zansèt yo te mande yo fè, men nou menm moun Jida yo, nou pa vle koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:17 ============ Jer 35:17 Therefore thus saith the LORD God of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring upon Judah and upon all the inhabitants of Jerusalem all the evil that I have pronounced against them: because I have spoken unto them, but they have not heard; and I have called unto them, but they have not answered.(KJV-1611) Jer 35:17 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m'. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:18 ============ Jer 35:18 And Jeremiah said unto the house of the Rechabites, Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Because ye have obeyed the commandment of Jonadab your father, and kept all his precepts, and done according unto all that he hath commanded you:(KJV-1611) Jer 35:18 Apre sa, Jeremi di moun Rekab yo: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te swiv lòd zansèt nou, Jonadab, te ban nou an. Nou te fè tou sa li te mande nou fè, tout lòd li te ban nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 35:19 ============ Jer 35:19 Therefore thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Jonadab the son of Rechab shall not want a man to stand before me for ever.(KJV-1611) Jer 35:19 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Va toujou gen yon gason nan fanmi Jonadab, pitit Rekab la, pou sèvi mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:1 ============ Jer 36:1 And it came to pass in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, that this word came unto Jeremiah from the LORD, saying,(KJV-1611) Jer 36:1 Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Seyè a te di Jeremi:(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:2 ============ Jer 36:2 Take thee a roll of a book, and write therein all the words that I have spoken unto thee against Israel, and against Judah, and against all the nations, from the day I spake unto thee, from the days of Josiah, even unto this day.(KJV-1611) Jer 36:2 -Pran yon woulo papye. W'a kouche sou li tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida a ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou rèy wa Jozyas rive jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:3 ============ Jer 36:3 It may be that the house of Judah will hear all the evil which I purpose to do unto them; that they may return every man from his evil way; that I may forgive their iniquity and their sin.(KJV-1611) Jer 36:3 Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:4 ============ Jer 36:4 Then Jeremiah called Baruch the son of Neriah: and Baruch wrote from the mouth of Jeremiah all the words of the LORD, which he had spoken unto him, upon a roll of a book.(KJV-1611) Jer 36:4 Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:5 ============ Jer 36:5 And Jeremiah commanded Baruch, saying, I am shut up; I cannot go into the house of the LORD:(KJV-1611) Jer 36:5 Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo: -Yo defann mwen antre nan tanp Seyè a. Mwen pa ka mete pye m' la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:6 ============ Jer 36:6 Therefore go thou, and read in the roll, which thou hast written from my mouth, the words of the LORD in the ears of the people in the LORD's house upon the fasting day: and also thou shalt read them in the ears of all Judah that come out of their cities.(KJV-1611) Jer 36:6 Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:7 ============ Jer 36:7 It may be they will present their supplication before the LORD, and will return every one from his evil way: for great is the anger and the fury that the LORD hath pronounced against this people.(KJV-1611) Jer 36:7 Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Seyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:8 ============ Jer 36:8 And Baruch the son of Neriah did according to all that Jeremiah the prophet commanded him, reading in the book the words of the LORD in the LORD's house.(KJV-1611) Jer 36:8 Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesaj Seyè yo ki te nan liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:9 ============ Jer 36:9 And it came to pass in the fifth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, in the ninth month, that they proclaimed a fast before the LORD to all the people in Jerusalem, and to all the people that came from the cities of Judah unto Jerusalem.(KJV-1611) Jer 36:9 Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne rèy Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te soti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Seyè a gras.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:10 ============ Jer 36:10 Then read Baruch in the book the words of Jeremiah in the house of the LORD, in the chamber of Gemariah the son of Shaphan the scribe, in the higher court, at the entry of the new gate of the LORD's house, in the ears of all the people.(KJV-1611) Jer 36:10 Lè sa a, Bawouk pran liv mesaj Jeremi yo, li li l' nan tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:11 ============ Jer 36:11 When Michaiah the son of Gemariah, the son of Shaphan, had heard out of the book all the words of the LORD,(KJV-1611) Jer 36:11 Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:12 ============ Jer 36:12 Then he went down into the king's house, into the scribe's chamber: and, lo, all the princes sat there, even Elishama the scribe, and Delaiah the son of Shemaiah, and Elnathan the son of Achbor, and Gemariah the son of Shaphan, and Zedekiah the son of Hananiah, and all the princes.(KJV-1611) Jer 36:12 Apre sa, li ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:13 ============ Jer 36:13 Then Michaiah declared unto them all the words that he had heard, when Baruch read the book in the ears of the people.(KJV-1611) Jer 36:13 Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:14 ============ Jer 36:14 Therefore all the princes sent Jehudi the son of Nethaniah, the son of Shelemiah, the son of Cushi, unto Baruch, saying, Take in thine hand the roll wherein thou hast read in the ears of the people, and come. So Baruch the son of Neriah took the roll in his hand, and came unto them.(KJV-1611) Jer 36:14 Lè sa a, gwo chèf yo voye Jeoudi bò kot Bawouk. Jeoudi sa a, se te pitit Netanya, pitit pitit Chelemya, pitit pitit pitit Kouchi. li al di Bawouk pou li pote woulo liv li te li nan zòrèy pèp la bay chèf yo. Bawouk pote woulo liv la ba yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:15 ============ Jer 36:15 And they said unto him, Sit down now, and read it in our ears. So Baruch read it in their ears.(KJV-1611) Jer 36:15 Yo di l' konsa: -Chita la, li l' pou nou tande. Bawouk li liv la pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:16 ============ Jer 36:16 Now it came to pass, when they had heard all the words, they were afraid both one and other, and said unto Baruch, We will surely tell the king of all these words.(KJV-1611) Jer 36:16 Lè yo tande tou sa ki te nan liv la, yo vin pè. Yonn pran gade lòt, epi yo di: -Se pou n' al fè wa a konnen bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:17 ============ Jer 36:17 And they asked Baruch, saying, Tell us now, How didst thou write all these words at his mouth?(KJV-1611) Jer 36:17 Lèfini, yo mande Bawouk: -Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:18 ============ Jer 36:18 Then Baruch answered them, He pronounced all these words unto me with his mouth, and I wrote them with ink in the book.(KJV-1611) Jer 36:18 Bawouk reponn yo: -Se Jeremi menm ki te dikte tout mesaj sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:19 ============ Jer 36:19 Then said the princes unto Baruch, Go, hide thee, thou and Jeremiah; and let no man know where ye be.(KJV-1611) Jer 36:19 Lè sa a, chèf yo di Bawouk: -Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:20 ============ Jer 36:20 And they went in to the king into the court, but they laid up the roll in the chamber of Elishama the scribe, and told all the words in the ears of the king.(KJV-1611) Jer 36:20 Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y' ale nan lakou palè a, y' al rapòte wa a tout bagay.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:21 ============ Jer 36:21 So the king sent Jehudi to fetch the roll: and he took it out of Elishama the scribe's chamber. And Jehudi read it in the ears of the king, and in the ears of all the princes which stood beside the king.(KJV-1611) Jer 36:21 Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:22 ============ Jer 36:22 Now the king sat in the winterhouse in the ninth month: and there was a fire on the hearth burning before him.(KJV-1611) Jer 36:22 Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:23 ============ Jer 36:23 And it came to pass, that when Jehudi had read three or four leaves, he cut it with the penknife, and cast it into the fire that was on the hearth, until all the roll was consumed in the fire that was on the hearth.(KJV-1611) Jer 36:23 Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolonn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:24 ============ Jer 36:24 Yet they were not afraid, nor rent their garments, neither the king, nor any of his servants that heard all these words.(KJV-1611) Jer 36:24 Men, ni wa a ni chèf li yo pa t' gen kè kase, ni yo pa t' fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:25 ============ Jer 36:25 Nevertheless Elnathan and Delaiah and Gemariah had made intercession to the king that he would not burn the roll: but he would not hear them.(KJV-1611) Jer 36:25 Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pa t' boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:26 ============ Jer 36:26 But the king commanded Jerahmeel the son of Hammelech, and Seraiah the son of Azriel, and Shelemiah the son of Abdeel, to take Baruch the scribe and Jeremiah the prophet: but the LORD hid them.(KJV-1611) Jer 36:26 Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:27 ============ Jer 36:27 Then the word of the LORD came to Jeremiah, after that the king had burned the roll, and the words which Baruch wrote at the mouth of Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 36:27 Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesaj Jeremi te dikte Bawouk la, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:28 ============ Jer 36:28 Take thee again another roll, and write in it all the former words that were in the first roll, which Jehoiakim the king of Judah hath burned.(KJV-1611) Jer 36:28 -Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:29 ============ Jer 36:29 And thou shalt say to Jehoiakim king of Judah, Thus saith the LORD; Thou hast burned this roll, saying, Why hast thou written therein, saying, The king of Babylon shall certainly come and destroy this land, and shall cause to cease from thence man and beast?(KJV-1611) Jer 36:29 Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:30 ============ Jer 36:30 Therefore thus saith the LORD of Jehoiakim king of Judah; He shall have none to sit upon the throne of David: and his dead body shall be cast out in the day to the heat, and in the night to the frost.(KJV-1611) Jer 36:30 Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:31 ============ Jer 36:31 And I will punish him and his seed and his servants for their iniquity; and I will bring upon them, and upon the inhabitants of Jerusalem, and upon the men of Judah, all the evil that I have pronounced against them; but they hearkened not.(KJV-1611) Jer 36:31 M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 36:32 ============ Jer 36:32 Then took Jeremiah another roll, and gave it to Baruch the scribe, the son of Neriah; who wrote therein from the mouth of Jeremiah all the words of the book which Jehoiakim king of Judah had burned in the fire: and there were added besides unto them many like words.(KJV-1611) Jer 36:32 Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l'. Li ekri tout mesaj ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesaj menm jan ak premye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:1 ============ Jer 37:1 And king Zedekiah the son of Josiah reigned instead of Coniah the son of Jehoiakim, whom Nebuchadrezzar king of Babylon made king in the land of Judah.(KJV-1611) Jer 37:1 Nèbikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:2 ============ Jer 37:2 But neither he, nor his servants, nor the people of the land, did hearken unto the words of the LORD, which he spake by the prophet Jeremiah.(KJV-1611) Jer 37:2 Men, ni Sedesyas, ni chèf li yo, ni ankenn lòt moun nan peyi a pa te vle tande mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:3 ============ Jer 37:3 And Zedekiah the king sent Jehucal the son of Shelemiah and Zephaniah the son of Maaseiah the priest to the prophet Jeremiah, saying, Pray now unto the LORD our God for us.(KJV-1611) Jer 37:3 Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:4 ============ Jer 37:4 Now Jeremiah came in and went out among the people: for they had not put him into prison.(KJV-1611) Jer 37:4 Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l' te vle nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:5 ============ Jer 37:5 Then Pharaoh's army was come forth out of Egypt: and when the Chaldeans that besieged Jerusalem heard tidings of them, they departed from Jerusalem.(KJV-1611) Jer 37:5 Lame moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fwontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:6 ============ Jer 37:6 Then came the word of the LORD unto the prophet Jeremiah saying,(KJV-1611) Jer 37:6 Lè sa a, Seyè a pale ak pwofèt Jeremi. Li di l': -Men repons w'a voye bay Sedesyas:(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:7 ============ Jer 37:7 Thus saith the LORD, the God of Israel; Thus shall ye say to the king of Judah, that sent you unto me to enquire of me; Behold, Pharaoh's army, which is come forth to help you, shall return to Egypt into their own land.(KJV-1611) Jer 37:7 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:8 ============ Jer 37:8 And the Chaldeans shall come again, and fight against this city, and take it, and burn it with fire.(KJV-1611) Jer 37:8 Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l', y'ap boule l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:9 ============ Jer 37:9 Thus saith the LORD; Deceive not yourselves, saying, The Chaldeans shall surely depart from us: for they shall not depart.(KJV-1611) Jer 37:9 Se mwen menm Seyè a ki di sa: Pa twonpe tèt nou. Pa konprann moun Babilòn yo pati ale nèt, yo gen pou yo tounen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:10 ============ Jer 37:10 For though ye had smitten the whole army of the Chaldeans that fight against you, and there remained but wounded men among them, yet should they rise up every man in his tent, and burn this city with fire.(KJV-1611) Jer 37:10 Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:11 ============ Jer 37:11 And it came to pass, that when the army of the Chaldeans was broken up from Jerusalem for fear of Pharaoh's army,(KJV-1611) Jer 37:11 Lè sa a, lame moun Babilòn yo te wete kò yo devan Jerizalèm, paske yo te pran nouvèl mouvman lame farawon an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:12 ============ Jer 37:12 Then Jeremiah went forth out of Jerusalem to go into the land of Benjamin, to separate himself thence in the midst of the people.(KJV-1611) Jer 37:12 Jeremi te vle fè yon ti soti andeyò lavil la pou li ale nan peyi moun Benjamen yo. Li tapral resevwa pòsyon pa l' nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:13 ============ Jer 37:13 And when he was in the gate of Benjamin, a captain of the ward was there, whose name was Irijah, the son of Shelemiah, the son of Hananiah; and he took Jeremiah the prophet, saying, Thou fallest away to the Chaldeans.(KJV-1611) Jer 37:13 Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:14 ============ Jer 37:14 Then said Jeremiah, It is false; I fall not away to the Chaldeans. But he hearkened not to him: so Irijah took Jeremiah, and brought him to the princes.(KJV-1611) Jer 37:14 Jeremi reponn li: -Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo. Men Jirija pa koute l' menm. Li boukle Jeremi, li mennen l' bay chèf yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:15 ============ Jer 37:15 Wherefore the princes were wroth with Jeremiah, and smote him, and put him in prison in the house of Jonathan the scribe: for they had made that the prison.(KJV-1611) Jer 37:15 Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:16 ============ Jer 37:16 When Jeremiah was entered into the dungeon, and into the cabins, and Jeremiah had remained there many days;(KJV-1611) Jer 37:16 Yo mete Jeremi nan yon kacho anba tanp lan. Yo kite l' pase kèk tan la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:17 ============ Jer 37:17 Then Zedekiah the king sent, and took him out: and the king asked him secretly in his house, and said, Is there any word from the LORD? And Jeremiah said, There is: for, said he, thou shalt be delivered into the hand of the king of Babylon.(KJV-1611) Jer 37:17 Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:18 ============ Jer 37:18 Moreover Jeremiah said unto king Zedekiah, What have I offended against thee, or against thy servants, or against this people, that ye have put me in prison?(KJV-1611) Jer 37:18 Apre sa Jeremi mande wa a: -Sa mwen fè ou, sa m' fè chèf ou yo, sa m' fè pèp la pou ou mete m' nan prizon?(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:19 ============ Jer 37:19 Where are now your prophets which prophesied unto you, saying, The king of Babylon shall not come against you, nor against this land?(KJV-1611) Jer 37:19 Kisa ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a?(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:20 ============ Jer 37:20 Therefore hear now, I pray thee, O my lord the king: let my supplication, I pray thee, be accepted before thee; that thou cause me not to return to the house of Jonathan the scribe, lest I die there.(KJV-1611) Jer 37:20 Koulye a, monwa, mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m' tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 37:21 ============ Jer 37:21 Then Zedekiah the king commanded that they should commit Jeremiah into the court of the prison, and that they should give him daily a piece of bread out of the bakers' street, until all the bread in the city were spent. Thus Jeremiah remained in the court of the prison.(KJV-1611) Jer 37:21 Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:1 ============ Jer 38:1 Then Shephatiah the son of Mattan, and Gedaliah the son of Pashur, and Jucal the son of Shelemiah, and Pashur the son of Malchiah, heard the words that Jeremiah had spoken unto all the people, saying,(KJV-1611) Jer 38:1 Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:2 ============ Jer 38:2 Thus saith the LORD, He that remaineth in this city shall die by the sword, by the famine, and by the pestilence: but he that goeth forth to the Chaldeans shall live; for he shall have his life for a prey, and shall live.(KJV-1611) Jer 38:2 -Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:3 ============ Jer 38:3 Thus saith the LORD, This city shall surely be given into the hand of the king of Babylon's army, which shall take it.(KJV-1611) Jer 38:3 Wi, men sa Seyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:4 ============ Jer 38:4 Therefore the princes said unto the king, We beseech thee, let this man be put to death: for thus he weakeneth the hands of the men of war that remain in this city, and the hands of all the people, in speaking such words unto them: for this man seeketh not the welfare of this people, but the hurt.(KJV-1611) Jer 38:4 Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:5 ============ Jer 38:5 Then Zedekiah the king said, Behold, he is in your hand: for the king is not he that can do any thing against you.(KJV-1611) Jer 38:5 Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:6 ============ Jer 38:6 Then took they Jeremiah, and cast him into the dungeon of Malchiah the son of Hammelech, that was in the court of the prison: and they let down Jeremiah with cords. And in the dungeon there was no water, but mire: so Jeremiah sunk in the mire.(KJV-1611) Jer 38:6 Se konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pa t' gen dlo ladan l', men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:7 ============ Jer 38:7 Now when Ebedmelech the Ethiopian, one of the eunuchs which was in the king's house, heard that they had put Jeremiah in the dungeon; the king then sitting in the gate of Benjamin;(KJV-1611) Jer 38:7 Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:8 ============ Jer 38:8 Ebedmelech went forth out of the king's house, and spake to the king saying,(KJV-1611) Jer 38:8 Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:9 ============ Jer 38:9 My lord the king, these men have done evil in all that they have done to Jeremiah the prophet, whom they have cast into the dungeon; and he is like to die for hunger in the place where he is: for there is no more bread in the city.(KJV-1611) Jer 38:9 -Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:10 ============ Jer 38:10 Then the king commanded Ebedmelech the Ethiopian, saying, Take from hence thirty men with thee, and take up Jeremiah the prophet out of the dungeon, before he die.(KJV-1611) Jer 38:10 Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l' pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l' mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:11 ============ Jer 38:11 So Ebedmelech took the men with him, and went into the house of the king under the treasury, and took thence old cast clouts and old rotten rags, and let them down by cords into the dungeon to Jeremiah.(KJV-1611) Jer 38:11 Se konsa Ebelmelèk pran moun yo avè l', li antre nan palè a, li ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:12 ============ Jer 38:12 And Ebedmelech the Ethiopian said unto Jeremiah, Put now these old cast clouts and rotten rags under thine armholes under the cords. And Jeremiah did so.(KJV-1611) Jer 38:12 Epi li di Jeremi konsa: -Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:13 ============ Jer 38:13 So they drew up Jeremiah with cords, and took him up out of the dungeon: and Jeremiah remained in the court of the prison.(KJV-1611) Jer 38:13 Epi yo rale l' moute soti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:14 ============ Jer 38:14 Then Zedekiah the king sent, and took Jeremiah the prophet unto him into the third entry that is in the house of the LORD: and the king said unto Jeremiah, I will ask thee a thing; hide nothing from me.(KJV-1611) Jer 38:14 Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l' ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Seyè a. Wa a di l' konsa: -Mwen gen yon bagay m' bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m' anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:15 ============ Jer 38:15 Then Jeremiah said unto Zedekiah, If I declare it unto thee, wilt thou not surely put me to death? and if I give thee counsel, wilt thou not hearken unto me?(KJV-1611) Jer 38:15 Jeremi reponn li: -Ala, si mwen pale ou kare, w'ap fè yo touye m'. Si m' ba ou yon konsèy, ou p'ap koute m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:16 ============ Jer 38:16 So Zedekiah the king sware secretly unto Jeremiah, saying, As the LORD liveth, that made us this soul, I will not put thee to death, neither will I give thee into the hand of these men that seek thy life.(KJV-1611) Jer 38:16 Wa Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l' sèman. Li di l' konsa: -Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:17 ============ Jer 38:17 Then said Jeremiah unto Zedekiah, Thus saith the LORD, the God of hosts, the God of Israel; If thou wilt assuredly go forth unto the king of Babylon's princes, then thy soul shall live, and this city shall not be burned with fire; and thou shalt live, and thine house:(KJV-1611) Jer 38:17 Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:18 ============ Jer 38:18 But if thou wilt not go forth to the king of Babylon's princes, then shall this city be given into the hand of the Chaldeans, and they shall burn it with fire, and thou shalt not escape out of their hand.(KJV-1611) Jer 38:18 Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:19 ============ Jer 38:19 And Zedekiah the king said unto Jeremiah, I am afraid of the Jews that are fallen to the Chaldeans, lest they deliver me into their hand, and they mock me.(KJV-1611) Jer 38:19 Wa Sedesyas reponn: -Ou konnen sa m' pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m' nan men yo pou yo maltrete m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:20 ============ Jer 38:20 But Jeremiah said, They shall not deliver thee. Obey, I beseech thee, the voice of the LORD, which I speak unto thee: so it shall be well unto thee, and thy soul shall live.(KJV-1611) Jer 38:20 Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:21 ============ Jer 38:21 But if thou refuse to go forth, this is the word that the LORD hath shewed me:(KJV-1611) Jer 38:21 Si ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Seyè a fè m' wè:(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:22 ============ Jer 38:22 And, behold, all the women that are left in the king of Judah's house shall be brought forth to the king of Babylon's princes, and those women shall say, Thy friends have set thee on, and have prevailed against thee: thy feet are sunk in the mire, and they are turned away back.(KJV-1611) Jer 38:22 Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l' fè sa yo vle. Koulye a, bra msye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l' pou kont li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:23 ============ Jer 38:23 So they shall bring out all thy wives and thy children to the Chaldeans: and thou shalt not escape out of their hand, but shalt be taken by the hand of the king of Babylon: and thou shalt cause this city to be burned with fire.(KJV-1611) Jer 38:23 Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:24 ============ Jer 38:24 Then said Zedekiah unto Jeremiah, Let no man know of these words, and thou shalt not die.(KJV-1611) Jer 38:24 Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:25 ============ Jer 38:25 But if the princes hear that I have talked with thee, and they come unto thee, and say unto thee, Declare unto us now what thou hast said unto the king, hide it not from us, and we will not put thee to death; also what the king said unto thee:(KJV-1611) Jer 38:25 Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m' ak sa m' te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:26 ============ Jer 38:26 Then thou shalt say unto them, I presented my supplication before the king, that he would not cause me to return to Jonathan's house, to die there.(KJV-1611) Jer 38:26 Lè sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l' pa voye m' tounen nan prizon lakay Jonatan pou m' pa mouri la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:27 ============ Jer 38:27 Then came all the princes unto Jeremiah, and asked him: and he told them according to all these words that the king had commanded. So they left off speaking with him; for the matter was not perceived.(KJV-1611) Jer 38:27 Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l' yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l' la. Pa t' gen anyen chèf yo te ka fè paske pesonn pa t' tande koze Jeremi te gen ak wa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 38:28 ============ Jer 38:28 So Jeremiah abode in the court of the prison until the day that Jerusalem was taken: and he was there when Jerusalem was taken.(KJV-1611) Jer 38:28 Jeremi rete nan lakou gad palè yo jouk jou yo pran lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:1 ============ Jer 39:1 In the ninth year of Zedekiah king of Judah, in the tenth month, came Nebuchadrezzar king of Babylon and all his army against Jerusalem, and they besieged it.(KJV-1611) Jer 39:1 Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:2 ============ Jer 39:2 And in the eleventh year of Zedekiah, in the fourth month, the ninth day of the month, the city was broken up.(KJV-1611) Jer 39:2 Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:3 ============ Jer 39:3 And all the princes of the king of Babylon came in, and sat in the middle gate, even Nergalsharezer, Samgarnebo, Sarsechim, Rabsaris, Nergalsharezer, Rabmag, with all the residue of the princes of the king of Babylon.(KJV-1611) Jer 39:3 Lè sa a, tout gwo chèf wa Babilòn yo antre nan lavil la, yo pran pozisyon nan Pòtay Mitan an: Te gen Negal Sarezè, Samga-Nebo, Sasekim, ki te chèf nèg konfyans wa yo, yon lòt Negal-Sarezè ki te chèf konseye yo ansanm ak tout lòt gwo chèf wa Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:4 ============ Jer 39:4 And it came to pass, that when Zedekiah the king of Judah saw them, and all the men of war, then they fled, and went forth out of the city by night, by the way of the king's garden, by the gate betwixt the two walls: and he went out the way of the plain.(KJV-1611) Jer 39:4 Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:5 ============ Jer 39:5 But the Chaldeans' army pursued after them, and overtook Zedekiah in the plains of Jericho: and when they had taken him, they brought him up to Nebuchadnezzar king of Babylon to Riblah in the land of Hamath, where he gave judgment upon him.(KJV-1611) Jer 39:5 Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:6 ============ Jer 39:6 Then the king of Babylon slew the sons of Zedekiah in Riblah before his eyes: also the king of Babylon slew all the nobles of Judah.(KJV-1611) Jer 39:6 Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:7 ============ Jer 39:7 Moreover he put out Zedekiah's eyes, and bound him with chains, to carry him to Babylon.(KJV-1611) Jer 39:7 Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:8 ============ Jer 39:8 And the Chaldeans burned the king's house, and the houses of the people, with fire, and brake down the walls of Jerusalem.(KJV-1611) Jer 39:8 Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:9 ============ Jer 39:9 Then Nebuzaradan the captain of the guard carried away captive into Babylon the remnant of the people that remained in the city, and those that fell away, that fell to him, with the rest of the people that remained.(KJV-1611) Jer 39:9 Lèfini, Nebouzaradan, chèf gad yo, pran tout rès moun ki te rete nan lavil la ansanm ak sa ki te kouri kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:10 ============ Jer 39:10 But Nebuzaradan the captain of the guard left of the poor of the people, which had nothing, in the land of Judah, and gave them vineyards and fields at the same time.(KJV-1611) Jer 39:10 Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:11 ============ Jer 39:11 Now Nebuchadrezzar king of Babylon gave charge concerning Jeremiah to Nebuzaradan the captain of the guard, saying,(KJV-1611) Jer 39:11 Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi:(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:12 ============ Jer 39:12 Take him, and look well to him, and do him no harm; but do unto him even as he shall say unto thee.(KJV-1611) Jer 39:12 -Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l' anyen. Okontrè, tout sa l'a mande, w'a ba li l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:13 ============ Jer 39:13 So Nebuzaradan the captain of the guard sent, and Nebushasban, Rabsaris, and Nergalsharezer, Rabmag, and all the king of Babylon's princes;(KJV-1611) Jer 39:13 Se konsa Neboucharadan, chèf lagad la, Nebouchasban, chèf nèg konfyans yo, Negal-Sarezè, chèf konseye yo, ansanm ak tout lòt chèf wa Babilòn yo(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:14 ============ Jer 39:14 Even they sent, and took Jeremiah out of the court of the prison, and committed him unto Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan, that he should carry him home: so he dwelt among the people.(KJV-1611) Jer 39:14 voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:15 ============ Jer 39:15 Now the word of the LORD came unto Jeremiah, while he was shut up in the court of the prison, saying,(KJV-1611) Jer 39:15 Antan Jeremi te nan prizon nan lakou gad palè yo, Seyè a te pale avè l' pou di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:16 ============ Jer 39:16 Go and speak to Ebedmelech the Ethiopian, saying, Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring my words upon this city for evil, and not for good; and they shall be accomplished in that day before thee.(KJV-1611) Jer 39:16 -Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:17 ============ Jer 39:17 But I will deliver thee in that day, saith the LORD: and thou shalt not be given into the hand of the men of whom thou art afraid.(KJV-1611) Jer 39:17 Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 39:18 ============ Jer 39:18 For I will surely deliver thee, and thou shalt not fall by the sword, but thy life shall be for a prey unto thee: because thou hast put thy trust in me, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 39:18 Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:1 ============ Jer 40:1 The word that came to Jeremiah from the LORD, after that Nebuzaradan the captain of the guard had let him go from Ramah, when he had taken him being bound in chains among all that were carried away captive of Jerusalem and Judah, which were carried away captive unto Babylon.(KJV-1611) Jer 40:1 Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:2 ============ Jer 40:2 And the captain of the guard took Jeremiah, and said unto him, The LORD thy God hath pronounced this evil upon this place.(KJV-1611) Jer 40:2 Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l' konsa: -Seyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:3 ============ Jer 40:3 Now the LORD hath brought it, and done according as he hath said: because ye have sinned against the LORD, and have not obeyed his voice, therefore this thing is come upon you.(KJV-1611) Jer 40:3 Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:4 ============ Jer 40:4 And now, behold, I loose thee this day from the chains which were upon thine hand. If it seem good unto thee to come with me into Babylon, come; and I will look well unto thee: but if it seem ill unto thee to come with me into Babylon, forbear: behold, all the land is before thee: whither it seemeth good and convenient for thee to go, thither go.(KJV-1611) Jer 40:4 Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:5 ============ Jer 40:5 Now while he was not yet gone back, he said, Go back also to Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan, whom the king of Babylon hath made governor over the cities of Judah, and dwell with him among the people: or go wheresoever it seemeth convenient unto thee to go. So the captain of the guard gave him victuals and a reward, and let him go.(KJV-1611) Jer 40:5 Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:6 ============ Jer 40:6 Then went Jeremiah unto Gedaliah the son of Ahikam to Mizpah; and dwelt with him among the people that were left in the land.(KJV-1611) Jer 40:6 Jeremi al jwenn Gedalya, pitit Akikam lan, lavil Mispa. Li rete la avè l' ansanm ak moun yo te kite nan peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:7 ============ Jer 40:7 Now when all the captains of the forces which were in the fields, even they and their men, heard that the king of Babylon had made Gedaliah the son of Ahikam governor in the land, and had committed unto him men, and women, and children, and of the poor of the land, of them that were not carried away captive to Babylon;(KJV-1611) Jer 40:7 Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:8 ============ Jer 40:8 Then they came to Gedaliah to Mizpah, even Ishmael the son of Nethaniah, and Johanan and Jonathan the sons of Kareah, and Seraiah the son of Tanhumeth, and the sons of Ephai the Netophathite, and Jezaniah the son of a Maachathite, they and their men.(KJV-1611) Jer 40:8 Se konsa, Izmayèl, pitit Netanya, Jokanan ak Jonatan, pitit Karejak, Seraya, pitit Tannoumèt, pitit Efayi yo, moun lavil Netofa, ansanm ak Jezanya, pitit Makat, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:9 ============ Jer 40:9 And Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan sware unto them and to their men, saying, Fear not to serve the Chaldeans: dwell in the land, and serve the king of Babylon, and it shall be well with you.(KJV-1611) Jer 40:9 Gedalya di yo konsa: -Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:10 ============ Jer 40:10 As for me, behold, I will dwell at Mizpah, to serve the Chaldeans, which will come unto us: but ye, gather ye wine, and summer fruits, and oil, and put them in your vessels, and dwell in your cities that ye have taken.(KJV-1611) Jer 40:10 Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:11 ============ Jer 40:11 Likewise when all the Jews that were in Moab, and among the Ammonites, and in Edom, and that were in all the countries, heard that the king of Babylon had left a remnant of Judah, and that he had set over them Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan;(KJV-1611) Jer 40:11 Konsa tou, tout jwif ki te nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon ak nan tout lòt peyi vin konnen wa Babilòn lan te penmèt kèk jwif rete nan peyi Jida, li te mete Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, chèf sou yo tout.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:12 ============ Jer 40:12 Even all the Jews returned out of all places whither they were driven, and came to the land of Judah, to Gedaliah, unto Mizpah, and gathered wine and summer fruits very much.(KJV-1611) Jer 40:12 Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:13 ============ Jer 40:13 Moreover Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were in the fields, came to Gedaliah to Mizpah,(KJV-1611) Jer 40:13 Yon jou, Jokanan, pitit Karejak, ansanm ak tout lòt chèf lame ki te andeyò yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:14 ============ Jer 40:14 And said unto him, Dost thou certainly know that Baalis the king of the Ammonites hath sent Ishmael the son of Nethaniah to slay thee? But Gedaliah the son of Ahikam believed them not.(KJV-1611) Jer 40:14 Yo di l' konsa: -Ou pa konnen Baalis, wa peyi Amon an, voye Izmayèl, pitit Netanya a, pou touye ou? Men Gedalya pa t' vle kwè yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:15 ============ Jer 40:15 Then Johanan the son of Kareah spake to Gedaliah in Mizpah secretly saying, Let me go, I pray thee, and I will slay Ishmael the son of Nethaniah, and no man shall know it: wherefore should he slay thee, that all the Jews which are gathered unto thee should be scattered, and the remnant in Judah perish?(KJV-1611) Jer 40:15 Lè sa a, Jokanan al jwenn Gedalya an kachèt lavil Mispa, li di l' konsa: -Eske ou vle m' al touye Izmayèl pou ou? Pesonn p'ap konn anyen. Poukisa pou ou kite l' ansasinen ou? Si li touye ou, sa pral lakòz tout jwif ki te sanble bò kote ou yo pral gaye ankò. Sa pral lakòz ti ponyen moun ki rete nan peyi Jida a rive disparèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 40:16 ============ Jer 40:16 But Gedaliah the son of Ahikam said unto Johanan the son of Kareah, Thou shalt not do this thing: for thou speakest falsely of Ishmael.(KJV-1611) Jer 40:16 Men, Gedalya reponn: -Pa fè sa, monchè! Sa w'ap di sou Izmayèl la pa vre!(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:1 ============ Jer 41:1 Now it came to pass in the seventh month, that Ishmael the son of Nethaniah the son of Elishama, of the seed royal, and the princes of the king, even ten men with him, came unto Gedaliah the son of Ahikam to Mizpah; and there they did eat bread together in Mizpah.(KJV-1611) Jer 41:1 Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:2 ============ Jer 41:2 Then arose Ishmael the son of Nethaniah, and the ten men that were with him, and smote Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan with the sword, and slew him, whom the king of Babylon had made governor over the land.(KJV-1611) Jer 41:2 Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:3 ============ Jer 41:3 Ishmael also slew all the Jews that were with him, even with Gedaliah, at Mizpah, and the Chaldeans that were found there, and the men of war.(KJV-1611) Jer 41:3 Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:4 ============ Jer 41:4 And it came to pass the second day after he had slain Gedaliah, and no man knew it,(KJV-1611) Jer 41:4 Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:5 ============ Jer 41:5 That there came certain from Shechem, from Shiloh, and from Samaria, even fourscore men, having their beards shaven, and their clothes rent, and having cut themselves, with offerings and incense in their hand, to bring them to the house of the LORD.(KJV-1611) Jer 41:5 Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:6 ============ Jer 41:6 And Ishmael the son of Nethaniah went forth from Mizpah to meet them, weeping all along as he went: and it came to pass, as he met them, he said unto them, Come to Gedaliah the son of Ahikam.(KJV-1611) Jer 41:6 Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l'. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya!(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:7 ============ Jer 41:7 And it was so, when they came into the midst of the city, that Ishmael the son of Nethaniah slew them, and cast them into the midst of the pit, he, and the men that were with him.(KJV-1611) Jer 41:7 Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:8 ============ Jer 41:8 But ten men were found among them that said unto Ishmael, Slay us not: for we have treasures in the field, of wheat, and of barley, and of oil, and of honey. So he forbare, and slew them not among their brethren.(KJV-1611) Jer 41:8 Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:9 ============ Jer 41:9 Now the pit wherein Ishmael had cast all the dead bodies of the men, whom he had slain because of Gedaliah, was it which Asa the king had made for fear of Baasha king of Israel: and Ishmael the son of Nethaniah filled it with them that were slain.(KJV-1611) Jer 41:9 Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:10 ============ Jer 41:10 Then Ishmael carried away captive all the residue of the people that were in Mizpah, even the king's daughters, and all the people that remained in Mizpah, whom Nebuzaradan the captain of the guard had committed to Gedaliah the son of Ahikam: and Ishmael the son of Nethaniah carried them away captive, and departed to go over to the Ammonites.(KJV-1611) Jer 41:10 Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:11 ============ Jer 41:11 But when Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, heard of all the evil that Ishmael the son of Nethaniah had done,(KJV-1611) Jer 41:11 Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l' yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:12 ============ Jer 41:12 Then they took all the men, and went to fight with Ishmael the son of Nethaniah, and found him by the great waters that are in Gibeon.(KJV-1611) Jer 41:12 Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l'. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:13 ============ Jer 41:13 Now it came to pass, that when all the people which were with Ishmael saw Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, then they were glad.(KJV-1611) Jer 41:13 Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l' yo, yo te kontan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:14 ============ Jer 41:14 So all the people that Ishmael had carried away captive from Mizpah cast about and returned, and went unto Johanan the son of Kareah.(KJV-1611) Jer 41:14 Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:15 ============ Jer 41:15 But Ishmael the son of Nethaniah escaped from Johanan with eight men, and went to the Ammonites.(KJV-1611) Jer 41:15 Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l' yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:16 ============ Jer 41:16 Then took Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces that were with him, all the remnant of the people whom he had recovered from Ishmael the son of Nethaniah, from Mizpah, after that he had slain Gedaliah the son of Ahikam, even mighty men of war, and the women, and the children, and the eunuchs, whom he had brought again from Gibeon:(KJV-1611) Jer 41:16 Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l' yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l' gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:17 ============ Jer 41:17 And they departed, and dwelt in the habitation of Chimham, which is by Bethlehem, to go to enter into Egypt,(KJV-1611) Jer 41:17 Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip(Creole-HT) ======= Jeremiah 41:18 ============ Jer 41:18 Because of the Chaldeans: for they were afraid of them, because Ishmael the son of Nethaniah had slain Gedaliah the son of Ahikam, whom the king of Babylon made governor in the land.(KJV-1611) Jer 41:18 paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:1 ============ Jer 42:1 Then all the captains of the forces, and Johanan the son of Kareah, and Jezaniah the son of Hoshaiah, and all the people from the least even unto the greatest, came near,(KJV-1611) Jer 42:1 Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y' al bò kot pwofèt Jeremi,(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:2 ============ Jer 42:2 And said unto Jeremiah the prophet, Let, we beseech thee, our supplication be accepted before thee, and pray for us unto the LORD thy God, even for all this remnant; (for we are left but a few of many, as thine eyes do behold us:)(KJV-1611) Jer 42:2 yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:3 ============ Jer 42:3 That the LORD thy God may shew us the way wherein we may walk, and the thing that we may do.(KJV-1611) Jer 42:3 Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:4 ============ Jer 42:4 Then Jeremiah the prophet said unto them, I have heard you; behold, I will pray unto the LORD your God according to your words; and it shall come to pass, that whatsoever thing the LORD shall answer you, I will declare it unto you; I will keep nothing back from you.(KJV-1611) Jer 42:4 Jeremi reponn yo: -Dakò. Mwen pral lapriyè Seyè a, Bondye nou an, jan nou mande m' lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Seyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:5 ============ Jer 42:5 Then they said to Jeremiah, The LORD be a true and faithful witness between us, if we do not even according to all things for the which the LORD thy God shall send thee to us.(KJV-1611) Jer 42:5 Yo di Jeremi konsa: -Si nou pa fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Seyè a kanpe pou l' akize nou. Lè sa a, l'a gen rezon l' nan pla men l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:6 ============ Jer 42:6 Whether it be good, or whether it be evil, we will obey the voice of the LORD our God, to whom we send thee; that it may be well with us, when we obey the voice of the LORD our God.(KJV-1611) Jer 42:6 Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:7 ============ Jer 42:7 And it came to pass after ten days, that the word of the LORD came unto Jeremiah.(KJV-1611) Jer 42:7 Dis jou apre, Seyè a bay Jeremi repons lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:8 ============ Jer 42:8 Then called he Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces which were with him, and all the people from the least even to the greatest,(KJV-1611) Jer 42:8 Jeremi rele Jokanan, pitit Karejak la, ak tout lòt chèf lame ki te avè l' yo ansanm ak tout pèp la, gran kou piti.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:9 ============ Jer 42:9 And said unto them, Thus saith the LORD, the God of Israel, unto whom ye sent me to present your supplication before him;(KJV-1611) Jer 42:9 Li di yo: -Nou te voye m' al lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou m' te mande l' kichòy pou nou. Men repons li bay:(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:10 ============ Jer 42:10 If ye will still abide in this land, then will I build you, and not pull you down, and I will plant you, and not pluck you up: for I repent me of the evil that I have done unto you.(KJV-1611) Jer 42:10 Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:11 ============ Jer 42:11 Be not afraid of the king of Babylon, of whom ye are afraid; be not afraid of him, saith the LORD: for I am with you to save you, and to deliver you from his hand.(KJV-1611) Jer 42:11 Koulye a, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l'. Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:12 ============ Jer 42:12 And I will shew mercies unto you, that he may have mercy upon you, and cause you to return to your own land.(KJV-1611) Jer 42:12 Paske mwen gen bon kè, m'a fè l' gen pitye pou nou, l'a kite nou tounen lakay nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:13 ============ Jer 42:13 But if ye say, We will not dwell in this land, neither obey the voice of the LORD your God,(KJV-1611) Jer 42:13 Jeremi di yo ankò: -Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:14 ============ Jer 42:14 Saying, No; but we will go into the land of Egypt, where we shall see no war, nor hear the sound of the trumpet, nor have hunger of bread; and there will we dwell:(KJV-1611) Jer 42:14 Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:15 ============ Jer 42:15 And now therefore hear the word of the LORD, ye remnant of Judah; Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; If ye wholly set your faces to enter into Egypt, and go to sojourn there;(KJV-1611) Jer 42:15 Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete,(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:16 ============ Jer 42:16 Then it shall come to pass, that the sword, which ye feared, shall overtake you there in the land of Egypt, and the famine, whereof ye were afraid, shall follow close after you there in Egypt; and there ye shall die.(KJV-1611) Jer 42:16 enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:17 ============ Jer 42:17 So shall it be with all the men that set their faces to go into Egypt to sojourn there; they shall die by the sword, by the famine, and by the pestilence: and none of them shall remain or escape from the evil that I will bring upon them.(KJV-1611) Jer 42:17 Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:18 ============ Jer 42:18 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; As mine anger and my fury hath been poured forth upon the inhabitants of Jerusalem; so shall my fury be poured forth upon you, when ye shall enter into Egypt: and ye shall be an execration, and an astonishment, and a curse, and a reproach; and ye shall see this place no more.(KJV-1611) Jer 42:18 Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:19 ============ Jer 42:19 The LORD hath said concerning you, O ye remnant of Judah; Go ye not into Egypt: know certainly that I have admonished you this day.(KJV-1611) Jer 42:19 Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:20 ============ Jer 42:20 For ye dissembled in your hearts, when ye sent me unto the LORD your God, saying, Pray for us unto the LORD our God; and according unto all that the LORD our God shall say, so declare unto us, and we will do it.(KJV-1611) Jer 42:20 Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:21 ============ Jer 42:21 And now I have this day declared it to you; but ye have not obeyed the voice of the LORD your God, nor any thing for the which he hath sent me unto you.(KJV-1611) Jer 42:21 Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m' di nou an.(Creole-HT) ======= Jeremiah 42:22 ============ Jer 42:22 Now therefore know certainly that ye shall die by the sword, by the famine, and by the pestilence, in the place whither ye desire to go and to sojourn.(KJV-1611) Jer 42:22 Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:1 ============ Jer 43:1 And it came to pass, that when Jeremiah had made an end of speaking unto all the people all the words of the LORD their God, for which the LORD their God had sent him to them, even all these words,(KJV-1611) Jer 43:1 Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:2 ============ Jer 43:2 Then spake Azariah the son of Hoshaiah, and Johanan the son of Kareah, and all the proud men, saying unto Jeremiah, Thou speakest falsely: the LORD our God hath not sent thee to say, Go not into Egypt to sojourn there:(KJV-1611) Jer 43:2 Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:3 ============ Jer 43:3 But Baruch the son of Neriah setteth thee on against us, for to deliver us into the hand of the Chaldeans, that they might put us to death, and carry us away captives into Babylon.(KJV-1611) Jer 43:3 Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:4 ============ Jer 43:4 So Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces, and all the people, obeyed not the voice of the LORD, to dwell in the land of Judah.(KJV-1611) Jer 43:4 Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:5 ============ Jer 43:5 But Johanan the son of Kareah, and all the captains of the forces, took all the remnant of Judah, that were returned from all nations, whither they had been driven, to dwell in the land of Judah;(KJV-1611) Jer 43:5 Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a,(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:6 ============ Jer 43:6 Even men, and women, and children, and the king's daughters, and every person that Nebuzaradan the captain of the guard had left with Gedaliah the son of Ahikam the son of Shaphan, and Jeremiah the prophet, and Baruch the son of Neriah.(KJV-1611) Jer 43:6 fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:7 ============ Jer 43:7 So they came into the land of Egypt: for they obeyed not the voice of the LORD: thus came they even to Tahpanhes.(KJV-1611) Jer 43:7 Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:8 ============ Jer 43:8 Then came the word of the LORD unto Jeremiah in Tahpanhes, saying,(KJV-1611) Jer 43:8 Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:9 ============ Jer 43:9 Take great stones in thine hand, and hide them in the clay in the brickkiln, which is at the entry of Pharaoh's house in Tahpanhes, in the sight of the men of Judah;(KJV-1611) Jer 43:9 -Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:10 ============ Jer 43:10 And say unto them, Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will send and take Nebuchadrezzar the king of Babylon, my servant, and will set his throne upon these stones that I have hid; and he shall spread his royal pavilion over them.(KJV-1611) Jer 43:10 Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:11 ============ Jer 43:11 And when he cometh, he shall smite the land of Egypt, and deliver such as are for death to death; and such as are for captivity to captivity; and such as are for the sword to the sword.(KJV-1611) Jer 43:11 Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:12 ============ Jer 43:12 And I will kindle a fire in the houses of the gods of Egypt; and he shall burn them, and carry them away captives: and he shall array himself with the land of Egypt, as a shepherd putteth on his garment; and he shall go forth from thence in peace.(KJV-1611) Jer 43:12 L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 43:13 ============ Jer 43:13 He shall break also the images of Bethshemesh, that is in the land of Egypt; and the houses of the gods of the Egyptians shall he burn with fire.(KJV-1611) Jer 43:13 L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:1 ============ Jer 44:1 The word that came to Jeremiah concerning all the Jews which dwell in the land of Egypt, which dwell at Migdol, and at Tahpanhes, and at Noph, and in the country of Pathros, saying,(KJV-1611) Jer 44:1 Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:2 ============ Jer 44:2 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Ye have seen all the evil that I have brought upon Jerusalem, and upon all the cities of Judah; and, behold, this day they are a desolation, and no man dwelleth therein,(KJV-1611) Jer 44:2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:3 ============ Jer 44:3 Because of their wickedness which they have committed to provoke me to anger, in that they went to burn incense, and to serve other gods, whom they knew not, neither they, ye, nor your fathers.(KJV-1611) Jer 44:3 Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:4 ============ Jer 44:4 Howbeit I sent unto you all my servants the prophets, rising early and sending them, saying, Oh, do not this abominable thing that I hate.(KJV-1611) Jer 44:4 Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:5 ============ Jer 44:5 But they hearkened not, nor inclined their ear to turn from their wickedness, to burn no incense unto other gods.(KJV-1611) Jer 44:5 Men yo pa t' koute m'. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:6 ============ Jer 44:6 Wherefore my fury and mine anger was poured forth, and was kindled in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem; and they are wasted and desolate, as at this day.(KJV-1611) Jer 44:6 Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:7 ============ Jer 44:7 Therefore now thus saith the LORD, the God of hosts, the God of Israel; Wherefore commit ye this great evil against your souls, to cut off from you man and woman, child and suckling, out of Judah, to leave you none to remain;(KJV-1611) Jer 44:7 Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape?(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:8 ============ Jer 44:8 In that ye provoke me unto wrath with the works of your hands, burning incense unto other gods in the land of Egypt, whither ye be gone to dwell, that ye might cut yourselves off, and that ye might be a curse and a reproach among all the nations of the earth?(KJV-1611) Jer 44:8 Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:9 ============ Jer 44:9 Have ye forgotten the wickedness of your fathers, and the wickedness of the kings of Judah, and the wickedness of their wives, and your own wickedness, and the wickedness of your wives, which they have committed in the land of Judah, and in the streets of Jerusalem?(KJV-1611) Jer 44:9 Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm?(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:10 ============ Jer 44:10 They are not humbled even unto this day, neither have they feared, nor walked in my law, nor in my statutes, that I set before you and before your fathers.(KJV-1611) Jer 44:10 Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:11 ============ Jer 44:11 Therefore thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will set my face against you for evil, and to cut off all Judah.(KJV-1611) Jer 44:11 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:12 ============ Jer 44:12 And I will take the remnant of Judah, that have set their faces to go into the land of Egypt to sojourn there, and they shall all be consumed, and fall in the land of Egypt; they shall even be consumed by the sword and by the famine: they shall die, from the least even unto the greatest, by the sword and by the famine: and they shall be an execration, and an astonishment, and a curse, and a reproach.(KJV-1611) Jer 44:12 M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Gen en k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:13 ============ Jer 44:13 For I will punish them that dwell in the land of Egypt, as I have punished Jerusalem, by the sword, by the famine, and by the pestilence:(KJV-1611) Jer 44:13 M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:14 ============ Jer 44:14 So that none of the remnant of Judah, which are gone into the land of Egypt to sojourn there, shall escape or remain, that they should return into the land of Judah, to the which they have a desire to return to dwell there: for none shall return but such as shall escape.(KJV-1611) Jer 44:14 Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:15 ============ Jer 44:15 Then all the men which knew that their wives had burned incense unto other gods, and all the women that stood by, a great multitude, even all the people that dwelt in the land of Egypt, in Pathros, answered Jeremiah, saying,(KJV-1611) Jer 44:15 Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:16 ============ Jer 44:16 As for the word that thou hast spoken unto us in the name of the LORD, we will not hearken unto thee.(KJV-1611) Jer 44:16 -Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:17 ============ Jer 44:17 But we will certainly do whatsoever thing goeth forth out of our own mouth, to burn incense unto the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her, as we have done, we, and our fathers, our kings, and our princes, in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem: for then had we plenty of victuals, and were well, and saw no evil.(KJV-1611) Jer 44:17 N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:18 ============ Jer 44:18 But since we left off to burn incense to the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her, we have wanted all things, and have been consumed by the sword and by the famine.(KJV-1611) Jer 44:18 Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:19 ============ Jer 44:19 And when we burned incense to the queen of heaven, and poured out drink offerings unto her, did we make her cakes to worship her, and pour out drink offerings unto her, without our men?(KJV-1611) Jer 44:19 Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:20 ============ Jer 44:20 Then Jeremiah said unto all the people, to the men, and to the women, and to all the people which had given him that answer, saying,(KJV-1611) Jer 44:20 Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:21 ============ Jer 44:21 The incense that ye burned in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem, ye, and your fathers, your kings, and your princes, and the people of the land, did not the LORD remember them, and came it not into his mind?(KJV-1611) Jer 44:21 -Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t' konn sa, osinon li bliye sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:22 ============ Jer 44:22 So that the LORD could no longer bear, because of the evil of your doings, and because of the abominations which ye have committed; therefore is your land a desolation, and an astonishment, and a curse, without an inhabitant, as at this day.(KJV-1611) Jer 44:22 Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:23 ============ Jer 44:23 Because ye have burned incense, and because ye have sinned against the LORD, and have not obeyed the voice of the LORD, nor walked in his law, nor in his statutes, nor in his testimonies; therefore this evil is happened unto you, as at this day.(KJV-1611) Jer 44:23 Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:24 ============ Jer 44:24 Moreover Jeremiah said unto all the people, and to all the women, Hear the word of the LORD, all Judah that are in the land of Egypt:(KJV-1611) Jer 44:24 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:25 ============ Jer 44:25 Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel, saying; Ye and your wives have both spoken with your mouths, and fulfilled with your hand, saying, We will surely perform our vows that we have vowed, to burn incense to the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her: ye will surely accomplish your vows, and surely perform your vows.(KJV-1611) Jer 44:25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:26 ============ Jer 44:26 Therefore hear ye the word of the LORD, all Judah that dwell in the land of Egypt; Behold, I have sworn by my great name, saith the LORD, that my name shall no more be named in the mouth of any man of Judah in all the land of Egypt, saying, The Lord GOD liveth.(KJV-1611) Jer 44:26 Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:27 ============ Jer 44:27 Behold, I will watch over them for evil, and not for good: and all the men of Judah that are in the land of Egypt shall be consumed by the sword and by the famine, until there be an end of them.(KJV-1611) Jer 44:27 M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:28 ============ Jer 44:28 Yet a small number that escape the sword shall return out of the land of Egypt into the land of Judah, and all the remnant of Judah, that are gone into the land of Egypt to sojourn there, shall know whose words shall stand, mine, or their's.(KJV-1611) Jer 44:28 Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:29 ============ Jer 44:29 And this shall be a sign unto you, saith the LORD, that I will punish you in this place, that ye may know that my words shall surely stand against you for evil:(KJV-1611) Jer 44:29 Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre.(Creole-HT) ======= Jeremiah 44:30 ============ Jer 44:30 Thus saith the LORD; Behold, I will give Pharaohhophra king of Egypt into the hand of his enemies, and into the hand of them that seek his life; as I gave Zedekiah king of Judah into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, his enemy, and that sought his life.(KJV-1611) Jer 44:30 Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 45:1 ============ Jer 45:1 The word that Jeremiah the prophet spake unto Baruch the son of Neriah, when he had written these words in a book at the mouth of Jeremiah, in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah, saying,(KJV-1611) Jer 45:1 Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:(Creole-HT) ======= Jeremiah 45:2 ============ Jer 45:2 Thus saith the LORD, the God of Israel, unto thee, O Baruch:(KJV-1611) Jer 45:2 -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk.(Creole-HT) ======= Jeremiah 45:3 ============ Jer 45:3 Thou didst say, Woe is me now! for the LORD hath added grief to my sorrow; I fainted in my sighing, and I find no rest.(KJV-1611) Jer 45:3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!(Creole-HT) ======= Jeremiah 45:4 ============ Jer 45:4 Thus shalt thou say unto him, The LORD saith thus; Behold, that which I have built will I break down, and that which I have planted I will pluck up, even this whole land.(KJV-1611) Jer 45:4 Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè!(Creole-HT) ======= Jeremiah 45:5 ============ Jer 45:5 And seekest thou great things for thyself? seek them not: for, behold, I will bring evil upon all flesh, saith the LORD: but thy life will I give unto thee for a prey in all places whither thou goest.(KJV-1611) Jer 45:5 Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:1 ============ Jer 46:1 The word of the LORD which came to Jeremiah the prophet against the Gentiles;(KJV-1611) Jer 46:1 Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo:(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:2 ============ Jer 46:2 Against Egypt, against the army of Pharaohnecho king of Egypt, which was by the river Euphrates in Carchemish, which Nebuchadrezzar king of Babylon smote in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah.(KJV-1611) Jer 46:2 Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:3 ============ Jer 46:3 Order ye the buckler and shield, and draw near to battle.(KJV-1611) Jer 46:3 Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la!(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:4 ============ Jer 46:4 Harness the horses; and get up, ye horsemen, and stand forth with your helmets; furbish the spears, and put on the brigandines.(KJV-1611) Jer 46:4 Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:5 ============ Jer 46:5 Wherefore have I seen them dismayed and turned away back? and their mighty ones are beaten down, and are fled apace, and look not back: for fear was round about, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 46:5 Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:6 ============ Jer 46:6 Let not the swift flee away, nor the mighty man escape; they shall stumble, and fall toward the north by the river Euphrates.(KJV-1611) Jer 46:6 Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:7 ============ Jer 46:7 Who is this that cometh up as a flood, whose waters are moved as the rivers?(KJV-1611) Jer 46:7 Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou?(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:8 ============ Jer 46:8 Egypt riseth up like a flood, and his waters are moved like the rivers; and he saith, I will go up, and will cover the earth; I will destroy the city and the inhabitants thereof.(KJV-1611) Jer 46:8 Se peyi Lejip k'ap gonfle kò l' konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou. Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè. M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:9 ============ Jer 46:9 Come up, ye horses; and rage, ye chariots; and let the mighty men come forth; the Ethiopians and the Libyans, that handle the shield; and the Lydians, that handle and bend the bow.(KJV-1611) Jer 46:9 Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:10 ============ Jer 46:10 For this is the day of the Lord GOD of hosts, a day of vengeance, that he may avenge him of his adversaries: and the sword shall devour, and it shall be satiate and made drunk with their blood: for the Lord GOD of hosts hath a sacrifice in the north country by the river Euphrates.(KJV-1611) Jer 46:10 Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:11 ============ Jer 46:11 Go up into Gilead, and take balm, O virgin, the daughter of Egypt: in vain shalt thou use many medicines; for thou shalt not be cured.(KJV-1611) Jer 46:11 Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:12 ============ Jer 46:12 The nations have heard of thy shame, and thy cry hath filled the land: for the mighty man hath stumbled against the mighty, and they are fallen both together.(KJV-1611) Jer 46:12 Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y'ap tonbe atè ansanm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:13 ============ Jer 46:13 The word that the LORD spake to Jeremiah the prophet, how Nebuchadrezzar king of Babylon should come and smite the land of Egypt.(KJV-1611) Jer 46:13 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:14 ============ Jer 46:14 Declare ye in Egypt, and publish in Migdol, and publish in Noph and in Tahpanhes: say ye, Stand fast, and prepare thee; for the sword shall devour round about thee.(KJV-1611) Jer 46:14 -Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:15 ============ Jer 46:15 Why are thy valiant men swept away? they stood not, because the LORD did drive them.(KJV-1611) Jer 46:15 Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l' atè!(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:16 ============ Jer 46:16 He made many to fall, yea, one fell upon another: and they said, Arise, and let us go again to our own people, and to the land of our nativity, from the oppressing sword.(KJV-1611) Jer 46:16 Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:17 ============ Jer 46:17 They did cry there, Pharaoh king of Egypt is but a noise; he hath passed the time appointed.(KJV-1611) Jer 46:17 Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l': Paladò. Li kite lè a pase!(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:18 ============ Jer 46:18 As I live, saith the King, whose name is the LORD of hosts, Surely as Tabor is among the mountains, and as Carmel by the sea, so shall he come.(KJV-1611) Jer 46:18 Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:19 ============ Jer 46:19 O thou daughter dwelling in Egypt, furnish thyself to go into captivity: for Noph shall be waste and desolate without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 46:19 Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:20 ============ Jer 46:20 Egypt is like a very fair heifer, but destruction cometh; it cometh out of the north.(KJV-1611) Jer 46:20 Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:21 ============ Jer 46:21 Also her hired men are in the midst of her like fatted bullocks; for they also are turned back, and are fled away together: they did not stand, because the day of their calamity was come upon them, and the time of their visitation.(KJV-1611) Jer 46:21 Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:22 ============ Jer 46:22 The voice thereof shall go like a serpent; for they shall march with an army, and come against her with axes, as hewers of wood.(KJV-1611) Jer 46:22 Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:23 ============ Jer 46:23 They shall cut down her forest, saith the LORD, though it cannot be searched; because they are more than the grasshoppers, and are innumerable.(KJV-1611) Jer 46:23 Yo mete tout gwo rakbwa yo atè, rakbwa kote moun pa t' ka antre a. Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo. Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:24 ============ Jer 46:24 The daughter of Egypt shall be confounded; she shall be delivered into the hand of the people of the north.(KJV-1611) Jer 46:24 Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:25 ============ Jer 46:25 The LORD of hosts, the God of Israel, saith; Behold, I will punish the multitude of No, and Pharaoh, and Egypt, with their gods, and their kings; even Pharaoh, and all them that trust in him:(KJV-1611) Jer 46:25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:26 ============ Jer 46:26 And I will deliver them into the hand of those that seek their lives, and into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, and into the hand of his servants: and afterward it shall be inhabited, as in the days of old, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 46:26 M'ap lage yo nan men moun ki soti pou touye yo a, nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ak lame moun pa l' yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:27 ============ Jer 46:27 But fear not thou, O my servant Jacob, and be not dismayed, O Israel: for, behold, I will save thee from afar off, and thy seed from the land of their captivity; and Jacob shall return, and be in rest and at ease, and none shall make him afraid.(KJV-1611) Jer 46:27 Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 46:28 ============ Jer 46:28 Fear thou not, O Jacob my servant, saith the LORD: for I am with thee; for I will make a full end of all the nations whither I have driven thee: but I will not make a full end of thee, but correct thee in measure; yet will I not leave thee wholly unpunished.(KJV-1611) Jer 46:28 Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:1 ============ Jer 47:1 The word of the LORD that came to Jeremiah the prophet against the Philistines, before that Pharaoh smote Gaza.(KJV-1611) Jer 47:1 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:2 ============ Jer 47:2 Thus saith the LORD; Behold, waters rise up out of the north, and shall be an overflowing flood, and shall overflow the land, and all that is therein; the city, and them that dwell therein: then the men shall cry, and all the inhabitants of the land shall howl.(KJV-1611) Jer 47:2 Seyè a di konsa: -Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle, y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l'. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:3 ============ Jer 47:3 At the noise of the stamping of the hoofs of his strong horses, at the rushing of his chariots, and at the rumbling of his wheels, the fathers shall not look back to their children for feebleness of hands;(KJV-1611) Jer 47:3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:4 ============ Jer 47:4 Because of the day that cometh to spoil all the Philistines, and to cut off from Tyrus and Zidon every helper that remaineth: for the LORD will spoil the Philistines, the remnant of the country of Caphtor.(KJV-1611) Jer 47:4 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:5 ============ Jer 47:5 Baldness is come upon Gaza; Ashkelon is cut off with the remnant of their valley: how long wilt thou cut thyself?(KJV-1611) Jer 47:5 Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:6 ============ Jer 47:6 O thou sword of the LORD, how long will it be ere thou be quiet? put up thyself into thy scabbard, rest, and be still.(KJV-1611) Jer 47:6 Adye! Kilè nepe Seyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!(Creole-HT) ======= Jeremiah 47:7 ============ Jer 47:7 How can it be quiet, seeing the LORD hath given it a charge against Ashkelon, and against the sea shore? there hath he appointed it.(KJV-1611) Jer 47:7 Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:1 ============ Jer 48:1 Against Moab thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Woe unto Nebo! for it is spoiled: Kiriathaim is confounded and taken: Misgab is confounded and dismayed.(KJV-1611) Jer 48:1 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Moab la: -Ala malè pou moun lavil Nebo yo! Yo ravaje lavil la nèt ale. Moun lavil Kiryatayim yo wont! Lènmi anvayi lavil la, yo pran gwo fò a, yo kraze l' ratè!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:2 ============ Jer 48:2 There shall be no more praise of Moab: in Heshbon they have devised evil against it; come, and let us cut it off from being a nation. Also thou shalt be cut down, O Madmen; the sword shall pursue thee.(KJV-1611) Jer 48:2 Peyi Moab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Moab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l'!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:3 ============ Jer 48:3 A voice of crying shall be from Horonaim, spoiling and great destruction.(KJV-1611) Jer 48:3 Moun lavil Owonayim yo ap rele: Men y'ap ravaje nou! Y'ap fè malè sou nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:4 ============ Jer 48:4 Moab is destroyed; her little ones have caused a cry to be heard.(KJV-1611) Jer 48:4 Yo kraze peyi Moab. Tout pitit li yo ap rele!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:5 ============ Jer 48:5 For in the going up of Luhith continual weeping shall go up; for in the going down of Horonaim the enemies have heard a cry of destruction.(KJV-1611) Jer 48:5 Se dlo nan je y'ap moute lavil Loukit. Sou tout wout pou desann Owonayim, se gwo rèl pou malè ki rive yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:6 ============ Jer 48:6 Flee, save your lives, and be like the heath in the wilderness.(KJV-1611) Jer 48:6 Y'ap rele: Kouri non, sove lavi nou! Al kache tankou bourik mawon nan dezè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:7 ============ Jer 48:7 For because thou hast trusted in thy works and in thy treasures, thou shalt also be taken: and Chemosh shall go forth into captivity with his priests and his princes together.(KJV-1611) Jer 48:7 Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:8 ============ Jer 48:8 And the spoiler shall come upon every city, and no city shall escape: the valley also shall perish, and the plain shall be destroyed, as the LORD hath spoken.(KJV-1611) Jer 48:8 Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:9 ============ Jer 48:9 Give wings unto Moab, that it may flee and get away: for the cities thereof shall be desolate, without any to dwell therein.(KJV-1611) Jer 48:9 Pare yon mab pou mete sou tonm Moab. Talè konsa yo pral detwi l' nèt. Tout lavil peyi Moab yo fin kraze. P'ap gen yon moun rete la ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:10 ============ Jer 48:10 Cursed be he that doeth the work of the LORD deceitfully, and cursed be he that keepeth back his sword from blood.(KJV-1611) Jer 48:10 Madichon pou moun ki pote neglijans nan fè travay Seyè a! Madichon pou moun ki derefize touye nan lagè a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:11 ============ Jer 48:11 Moab hath been at ease from his youth, and he hath settled on his lees, and hath not been emptied from vessel to vessel, neither hath he gone into captivity: therefore his taste remained in him, and his scent is not changed.(KJV-1611) Jer 48:11 Peyi Moab te toujou viv san ankenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l' sot nan yon veso mete l' nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l'. Li pa janm vante.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:12 ============ Jer 48:12 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that I will send unto him wanderers, that shall cause him to wander, and shall empty his vessels, and break their bottles.(KJV-1611) Jer 48:12 Men lè a rive koulye a, se Seyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Moab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:13 ============ Jer 48:13 And Moab shall be ashamed of Chemosh, as the house of Israel was ashamed of Bethel their confidence.(KJV-1611) Jer 48:13 Moun peyi Moab yo pral wont Kemòch, bondye yo a, menm jan moun fanmi Izrayèl yo te wont bondye lavil Betèl ki te tout konfyans yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:14 ============ Jer 48:14 How say ye, We are mighty and strong men for the war?(KJV-1611) Jer 48:14 Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè?(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:15 ============ Jer 48:15 Moab is spoiled, and gone up out of her cities, and his chosen young men are gone down to the slaughter, saith the King, whose name is the LORD of hosts.(KJV-1611) Jer 48:15 Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:16 ============ Jer 48:16 The calamity of Moab is near to come, and his affliction hasteth fast.(KJV-1611) Jer 48:16 Jou pou yo fini ak Moab la ap pwoche. Malè ki pral tonbe sou Moab la pa lwen rive.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:17 ============ Jer 48:17 All ye that are about him, bemoan him; and all ye that know his name, say, How is the strong staff broken, and the beautiful rod!(KJV-1611) Jer 48:17 Nou menm, vwazen l' yo, plenn sò li! Nou tout ki te konnen jan l' te ye a, nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a! Bèl baton kòmandman ki te nan men l' lan disparèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:18 ============ Jer 48:18 Thou daughter that dost inhabit Dibon, come down from thy glory, and sit in thirst; for the spoiler of Moab shall come upon thee, and he shall destroy thy strong holds.(KJV-1611) Jer 48:18 Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fotèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Moab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:19 ============ Jer 48:19 O inhabitant of Aroer, stand by the way, and espy; ask him that fleeth, and her that escapeth, and say, What is done?(KJV-1611) Jer 48:19 Nou menm k'ap viv lavil Awoyè. Rete sou bò wout la tann. Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:20 ============ Jer 48:20 Moab is confounded; for it is broken down: howl and cry; tell ye it in Arnon, that Moab is spoiled,(KJV-1611) Jer 48:20 Y'a reponn ou: Peyi Moab tonbe! Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l' wont! Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Moab la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:21 ============ Jer 48:21 And judgment is come upon the plain country; upon Holon, and upon Jahazah, and upon Mephaath,(KJV-1611) Jer 48:21 Jou jijman an rive pou lavil yo ki sou platon an: Olon, Jasa ak Mefat,(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:22 ============ Jer 48:22 And upon Dibon, and upon Nebo, and upon Bethdiblathaim,(KJV-1611) Jer 48:22 Didon, Nebo ak Bèt-Diblatayim,(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:23 ============ Jer 48:23 And upon Kiriathaim, and upon Bethgamul, and upon Bethmeon,(KJV-1611) Jer 48:23 Kiryatayim, Bèt-Gamoul, Bèt Meyon,(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:24 ============ Jer 48:24 And upon Kerioth, and upon Bozrah, and upon all the cities of the land of Moab, far or near.(KJV-1611) Jer 48:24 Keriyòt, Bozra. Jijman rive sou tout lavil peyi Moab yo, kit sa ki toupre, kit sa ki byen lwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:25 ============ Jer 48:25 The horn of Moab is cut off, and his arm is broken, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 48:25 Yo kraze lògèy moun Moab yo. Yo kraze kouraj yo. Se mwen menm Seyè a ki pale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:26 ============ Jer 48:26 Make ye him drunken: for he magnified himself against the LORD: Moab also shall wallow in his vomit, and he also shall be in derision.(KJV-1611) Jer 48:26 Seyè a di ankò: -Fè lavil Moab sou, paske li te kenbe tèt avè m'. Se pou Moab woule nan vonmi l'. Li menm tou, se pou yo pase l' nan rizib.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:27 ============ Jer 48:27 For was not Israel a derision unto thee? was he found among thieves? for since thou spakest of him, thou skippedst for joy.(KJV-1611) Jer 48:27 Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:28 ============ Jer 48:28 O ye that dwell in Moab, leave the cities, and dwell in the rock, and be like the dove that maketh her nest in the sides of the hole's mouth.(KJV-1611) Jer 48:28 Nou menm moun Moab, kite lavil nou yo, al rete nan twou wòch. Fè tankou ranmye ki fè nich yo nan twou bò falèz.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:29 ============ Jer 48:29 We have heard the pride of Moab, (he is exceeding proud) his loftiness, and his arrogancy, and his pride, and the haughtiness of his heart.(KJV-1611) Jer 48:29 Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:30 ============ Jer 48:30 I know his wrath, saith the LORD; but it shall not be so; his lies shall not so effect it.(KJV-1611) Jer 48:30 Men mwen menm Seyè a, mwen konnen yo te kwè twòp nan tèt yo. Bèl diskou yo t'ap fè yo se te pawòl nan bouch. Tou sa y'ap fè pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:31 ============ Jer 48:31 Therefore will I howl for Moab, and I will cry out for all Moab; mine heart shall mourn for the men of Kirheres.(KJV-1611) Jer 48:31 Se konsa, m'ap plenn sò moun Moab yo, m'ap rele pou tout peyi Moab yo, pou moun lavil Ki-Erès yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:32 ============ Jer 48:32 O vine of Sibmah, I will weep for thee with the weeping of Jazer: thy plants are gone over the sea, they reach even to the sea of Jazer: the spoiler is fallen upon thy summer fruits and upon thy vintage.(KJV-1611) Jer 48:32 M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:33 ============ Jer 48:33 And joy and gladness is taken from the plentiful field, and from the land of Moab, and I have caused wine to fail from the winepresses: none shall tread with shouting; their shouting shall be no shouting.(KJV-1611) Jer 48:33 Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:34 ============ Jer 48:34 From the cry of Heshbon even unto Elealeh, and even unto Jahaz, have they uttered their voice, from Zoar even unto Horonaim, as an heifer of three years old: for the waters also of Nimrim shall be desolate.(KJV-1611) Jer 48:34 Moun Esbon yo ap rele. Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz, depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya. Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l' cheche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:35 ============ Jer 48:35 Moreover I will cause to cease in Moab, saith the LORD, him that offereth in the high places, and him that burneth incense to his gods.(KJV-1611) Jer 48:35 M'ap disparèt moun lavil Moab yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:36 ============ Jer 48:36 Therefore mine heart shall sound for Moab like pipes, and mine heart shall sound like pipes for the men of Kirheres: because the riches that he hath gotten are perished.(KJV-1611) Jer 48:36 Se poutèt sa, kè m' ap fè m' mal anpil pou moun Moab yo, pou moun Ki-Erès yo. M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman. Paske yo pèdi tou sa yo te genyen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:37 ============ Jer 48:37 For every head shall be bald, and every beard clipped: upon all the hands shall be cuttings, and upon the loins sackcloth.(KJV-1611) Jer 48:37 Yo tout, yo kale tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo, yo kòche tout men yo ak kouto, yo mare sak nan ren yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:38 ============ Jer 48:38 There shall be lamentation generally upon all the housetops of Moab, and in the streets thereof: for I have broken Moab like a vessel wherein is no pleasure, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 48:38 Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:39 ============ Jer 48:39 They shall howl, saying, How is it broken down! how hath Moab turned the back with shame! so shall Moab be a derision and a dismaying to all them about him.(KJV-1611) Jer 48:39 Yo fini ak peyi Moab! Plenn sò li. Moab pèdi pye, li wont. Tout nasyon ki nan vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib, yo tout sezi wè sa ki rive l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:40 ============ Jer 48:40 For thus saith the LORD; Behold, he shall fly as an eagle, and shall spread his wings over Moab.(KJV-1611) Jer 48:40 Men sa Seyè a di ankò: -Tankou yon malfini, yon lènmi ap plane ak zèl li yo gran louvri sou Moab.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:41 ============ Jer 48:41 Kerioth is taken, and the strong holds are surprised, and the mighty men's hearts in Moab at that day shall be as the heart of a woman in her pangs.(KJV-1611) Jer 48:41 Li pran tout lavil yo, li mete men sou tout fò yo. Jou sa a, vanyan sòlda lame Moab yo te pè tankou yon fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:42 ============ Jer 48:42 And Moab shall be destroyed from being a people, because he hath magnified himself against the LORD.(KJV-1611) Jer 48:42 Y'ap fini ak peyi Moab la, y'ap touye dènye moun ladan l', paske li te kenbe tèt ak Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:43 ============ Jer 48:43 Fear, and the pit, and the snare, shall be upon thee, O inhabitant of Moab, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 48:43 Nou menm moun Moab yo, yo pral ban nou sezisman, y'ap fouye twou pou nou tonbe, y'ap pare pèlen pou nou. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:44 ============ Jer 48:44 He that fleeth from the fear shall fall into the pit; and he that getteth up out of the pit shall be taken in the snare: for I will bring upon it, even upon Moab, the year of their visitation, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 48:44 Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou. Lè y'a kouri soti nan twou a, y'ap pran nan pèlen. Paske dat Seyè a te fikse pou li pini Moab la rive sou li. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:45 ============ Jer 48:45 They that fled stood under the shadow of Heshbon because of the force: but a fire shall come forth out of Heshbon, and a flame from the midst of Sihon, and shall devour the corner of Moab, and the crown of the head of the tumultuous ones.(KJV-1611) Jer 48:45 Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke. Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon, lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an: men yo jwenn li ap boule. Dife a gaye, li rive jouk sou fwontyè a, li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:46 ============ Jer 48:46 Woe be unto thee, O Moab! the people of Chemosh perisheth: for thy sons are taken captives, and thy daughters captives.(KJV-1611) Jer 48:46 Sa fè lapenn pou moun Moab yo! Tout moun ki t'ap sèvi Kèmòch yo fini. Yo pran pitit gason ak pitit fi yo, yo fè yo prizonye, yo depòte yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 48:47 ============ Jer 48:47 Yet will I bring again the captivity of Moab in the latter days, saith the LORD. Thus far is the judgment of Moab.(KJV-1611) Jer 48:47 Men nan jou k'ap vin apre yo, m'ap mete peyi Moab la kanpe ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Se tou sa ki pral rive moun Moab yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:1 ============ Jer 49:1 Concerning the Ammonites, thus saith the LORD; Hath Israel no sons? hath he no heir? why then doth their king inherit Gad, and his people dwell in his cities?(KJV-1611) Jer 49:1 Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:2 ============ Jer 49:2 Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that I will cause an alarm of war to be heard in Rabbah of the Ammonites; and it shall be a desolate heap, and her daughters shall be burned with fire: then shall Israel be heir unto them that were his heirs, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:2 Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:3 ============ Jer 49:3 Howl, O Heshbon, for Ai is spoiled: cry, ye daughters of Rabbah, gird you with sackcloth; lament, and run to and fro by the hedges; for their king shall go into captivity, and his priests and his princes together.(KJV-1611) Jer 49:3 Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:4 ============ Jer 49:4 Wherefore gloriest thou in the valleys, thy flowing valley, O backsliding daughter? that trusted in her treasures, saying, Who shall come unto me?(KJV-1611) Jer 49:4 Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:5 ============ Jer 49:5 Behold, I will bring a fear upon thee, saith the Lord GOD of hosts, from all those that be about thee; and ye shall be driven out every man right forth; and none shall gather up him that wandereth.(KJV-1611) Jer 49:5 Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:6 ============ Jer 49:6 And afterward I will bring again the captivity of the children of Ammon, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:6 Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:7 ============ Jer 49:7 Concerning Edom, thus saith the LORD of hosts; Is wisdom no more in Teman? is counsel perished from the prudent? is their wisdom vanished?(KJV-1611) Jer 49:7 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:8 ============ Jer 49:8 Flee ye, turn back, dwell deep, O inhabitants of Dedan; for I will bring the calamity of Esau upon him, the time that I will visit him.(KJV-1611) Jer 49:8 Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m' regle ak yo a rive.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:9 ============ Jer 49:9 If grapegatherers come to thee, would they not leave some gleaning grapes? if thieves by night, they will destroy till they have enough.(KJV-1611) Jer 49:9 Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:10 ============ Jer 49:10 But I have made Esau bare, I have uncovered his secret places, and he shall not be able to hide himself: his seed is spoiled, and his brethren, and his neighbours, and he is not.(KJV-1611) Jer 49:10 Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezaou yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinaj yo pral disparèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:11 ============ Jer 49:11 Leave thy fatherless children, I will preserve them alive; and let thy widows trust in me.(KJV-1611) Jer 49:11 Pa gen pesonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m'. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:12 ============ Jer 49:12 For thus saith the LORD; Behold, they whose judgment was not to drink of the cup have assuredly drunken; and art thou he that shall altogether go unpunished? thou shalt not go unpunished, but thou shalt surely drink of it.(KJV-1611) Jer 49:12 Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:13 ============ Jer 49:13 For I have sworn by myself, saith the LORD, that Bozrah shall become a desolation, a reproach, a waste, and a curse; and all the cities thereof shall be perpetual wastes.(KJV-1611) Jer 49:13 Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:14 ============ Jer 49:14 I have heard a rumour from the LORD, and an ambassador is sent unto the heathen, saying, Gather ye together, and come against her, and rise up to the battle.(KJV-1611) Jer 49:14 Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:15 ============ Jer 49:15 For, lo, I will make thee small among the heathen, and despised among men.(KJV-1611) Jer 49:15 Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:16 ============ Jer 49:16 Thy terribleness hath deceived thee, and the pride of thine heart, O thou that dwellest in the clefts of the rock, that holdest the height of the hill: though thou shouldest make thy nest as high as the eagle, I will bring thee down from thence, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:16 Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:17 ============ Jer 49:17 Also Edom shall be a desolation: every one that goeth by it shall be astonished, and shall hiss at all the plagues thereof.(KJV-1611) Jer 49:17 Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:18 ============ Jer 49:18 As in the overthrow of Sodom and Gomorrah and the neighbour cities thereof, saith the LORD, no man shall abide there, neither shall a son of man dwell in it.(KJV-1611) Jer 49:18 Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:19 ============ Jer 49:19 Behold, he shall come up like a lion from the swelling of Jordan against the habitation of the strong: but I will suddenly make him run away from her: and who is a chosen man, that I may appoint over her? for who is like me? and who will appoint me the time? and who is that shepherd that will stand before me?(KJV-1611) Jer 49:19 Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:20 ============ Jer 49:20 Therefore hear the counsel of the LORD, that he hath taken against Edom; and his purposes, that he hath purposed against the inhabitants of Teman: Surely the least of the flock shall draw them out: surely he shall make their habitations desolate with them.(KJV-1611) Jer 49:20 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:21 ============ Jer 49:21 The earth is moved at the noise of their fall, at the cry the noise thereof was heard in the Red sea.(KJV-1611) Jer 49:21 Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:22 ============ Jer 49:22 Behold, he shall come up and fly as the eagle, and spread his wings over Bozrah: and at that day shall the heart of the mighty men of Edom be as the heart of a woman in her pangs.(KJV-1611) Jer 49:22 Tankou malfini k'ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:23 ============ Jer 49:23 Concerning Damascus. Hamath is confounded, and Arpad: for they have heard evil tidings: they are fainthearted; there is sorrow on the sea; it cannot be quiet.(KJV-1611) Jer 49:23 Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:24 ============ Jer 49:24 Damascus is waxed feeble, and turneth herself to flee, and fear hath seized on her: anguish and sorrows have taken her, as a woman in travail.(KJV-1611) Jer 49:24 Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:25 ============ Jer 49:25 How is the city of praise not left, the city of my joy!(KJV-1611) Jer 49:25 Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:26 ============ Jer 49:26 Therefore her young men shall fall in her streets, and all the men of war shall be cut off in that day, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Jer 49:26 Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:27 ============ Jer 49:27 And I will kindle a fire in the wall of Damascus, and it shall consume the palaces of Benhadad.(KJV-1611) Jer 49:27 M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:28 ============ Jer 49:28 Concerning Kedar, and concerning the kingdoms of Hazor, which Nebuchadrezzar king of Babylon shall smite, thus saith the LORD; Arise ye, go up to Kedar, and spoil the men of the east.(KJV-1611) Jer 49:28 Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:29 ============ Jer 49:29 Their tents and their flocks shall they take away: they shall take to themselves their curtains, and all their vessels, and their camels; and they shall cry unto them, Fear is on every side.(KJV-1611) Jer 49:29 Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:30 ============ Jer 49:30 Flee, get you far off, dwell deep, O ye inhabitants of Hazor, saith the LORD; for Nebuchadrezzar king of Babylon hath taken counsel against you, and hath conceived a purpose against you.(KJV-1611) Jer 49:30 Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l' kraze nou. Li soti pou l' fini ak nou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:31 ============ Jer 49:31 Arise, get you up unto the wealthy nation, that dwelleth without care, saith the LORD, which have neither gates nor bars, which dwell alone.(KJV-1611) Jer 49:31 Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t' alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:32 ============ Jer 49:32 And their camels shall be a booty, and the multitude of their cattle a spoil: and I will scatter into all winds them that are in the utmost corners; and I will bring their calamity from all sides thereof, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:32 Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:33 ============ Jer 49:33 And Hazor shall be a dwelling for dragons, and a desolation for ever: there shall no man abide there, nor any son of man dwell in it.(KJV-1611) Jer 49:33 M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p'ap rete ladan l' ankò. Ankenn moun p'ap viv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:34 ============ Jer 49:34 The word of the LORD that came to Jeremiah the prophet against Elam in the beginning of the reign of Zedekiah king of Judah, saying,(KJV-1611) Jer 49:34 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:35 ============ Jer 49:35 Thus saith the LORD of hosts; Behold, I will break the bow of Elam, the chief of their might.(KJV-1611) Jer 49:35 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:36 ============ Jer 49:36 And upon Elam will I bring the four winds from the four quarters of heaven, and will scatter them toward all those winds; and there shall be no nation whither the outcasts of Elam shall not come.(KJV-1611) Jer 49:36 M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. p'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:37 ============ Jer 49:37 For I will cause Elam to be dismayed before their enemies, and before them that seek their life: and I will bring evil upon them, even my fierce anger, saith the LORD; and I will send the sword after them, till I have consumed them:(KJV-1611) Jer 49:37 M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki soti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:38 ============ Jer 49:38 And I will set my throne in Elam, and will destroy from thence the king and the princes, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:38 M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 49:39 ============ Jer 49:39 But it shall come to pass in the latter days, that I will bring again the captivity of Elam, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 49:39 Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:1 ============ Jer 50:1 The word that the LORD spake against Babylon and against the land of the Chaldeans by Jeremiah the prophet.(KJV-1611) Jer 50:1 Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:2 ============ Jer 50:2 Declare ye among the nations, and publish, and set up a standard; publish, and conceal not: say, Babylon is taken, Bel is confounded, Merodach is broken in pieces; her idols are confounded, her images are broken in pieces.(KJV-1611) Jer 50:2 -Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:3 ============ Jer 50:3 For out of the north there cometh up a nation against her, which shall make her land desolate, and none shall dwell therein: they shall remove, they shall depart, both man and beast.(KJV-1611) Jer 50:3 Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:4 ============ Jer 50:4 In those days, and in that time, saith the LORD, the children of Israel shall come, they and the children of Judah together, going and weeping: they shall go, and seek the LORD their God.(KJV-1611) Jer 50:4 Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:5 ============ Jer 50:5 They shall ask the way to Zion with their faces thitherward, saying, Come, and let us join ourselves to the LORD in a perpetual covenant that shall not be forgotten.(KJV-1611) Jer 50:5 Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:6 ============ Jer 50:6 My people hath been lost sheep: their shepherds have caused them to go astray, they have turned them away on the mountains: they have gone from mountain to hill, they have forgotten their restingplace.(KJV-1611) Jer 50:6 Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:7 ============ Jer 50:7 All that found them have devoured them: and their adversaries said, We offend not, because they have sinned against the LORD, the habitation of justice, even the LORD, the hope of their fathers.(KJV-1611) Jer 50:7 Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:8 ============ Jer 50:8 Remove out of the midst of Babylon, and go forth out of the land of the Chaldeans, and be as the he goats before the flocks.(KJV-1611) Jer 50:8 Nou menm pèp Izrayèl la, kouri kite lavil Babilòn! Mete deyò nan peyi moun Kalde yo! Se nou menm ki pou pati an premye kite peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:9 ============ Jer 50:9 For, lo, I will raise and cause to come up against Babylon an assembly of great nations from the north country: and they shall set themselves in array against her; from thence she shall be taken: their arrows shall be as of a mighty expert man; none shall return in vain.(KJV-1611) Jer 50:9 Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:10 ============ Jer 50:10 And Chaldea shall be a spoil: all that spoil her shall be satisfied, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 50:10 Y'ap piye lavil Babilòn. Wi, tout moun k'ap piye l' yo ap pran pot ale jouk yo pa konn kote pou yo mete ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:11 ============ Jer 50:11 Because ye were glad, because ye rejoiced, O ye destroyers of mine heritage, because ye are grown fat as the heifer at grass, and bellow as bulls;(KJV-1611) Jer 50:11 Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:12 ============ Jer 50:12 Your mother shall be sore confounded; she that bare you shall be ashamed: behold, the hindermost of the nations shall be a wilderness, a dry land, and a desert.(KJV-1611) Jer 50:12 Men, peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont. Yo pral trennen yo nan labou. Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt. L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:13 ============ Jer 50:13 Because of the wrath of the LORD it shall not be inhabited, but it shall be wholly desolate: every one that goeth by Babylon shall be astonished, and hiss at all her plagues.(KJV-1611) Jer 50:13 Paske Seyè a pral move sou li. p'ap gen pesonn rete nan lavil Babilòn lan. Tout kay li yo ap tounen mazi. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:14 ============ Jer 50:14 Put yourselves in array against Babylon round about: all ye that bend the bow, shoot at her, spare no arrows: for she hath sinned against the LORD.(KJV-1611) Jer 50:14 Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:15 ============ Jer 50:15 Shout against her round about: she hath given her hand: her foundations are fallen, her walls are thrown down: for it is the vengeance of the LORD: take vengeance upon her; as she hath done, do unto her.(KJV-1611) Jer 50:15 Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:16 ============ Jer 50:16 Cut off the sower from Babylon, and him that handleth the sickle in the time of harvest: for fear of the oppressing sword they shall turn every one to his people, and they shall flee every one to his own land.(KJV-1611) Jer 50:16 Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:17 ============ Jer 50:17 Israel is a scattered sheep; the lions have driven him away: first the king of Assyria hath devoured him; and last this Nebuchadrezzar king of Babylon hath broken his bones.(KJV-1611) Jer 50:17 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:18 ============ Jer 50:18 Therefore thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will punish the king of Babylon and his land, as I have punished the king of Assyria.(KJV-1611) Jer 50:18 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:19 ============ Jer 50:19 And I will bring Israel again to his habitation, and he shall feed on Carmel and Bashan, and his soul shall be satisfied upon mount Ephraim and Gilead.(KJV-1611) Jer 50:19 Apre sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l'. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:20 ============ Jer 50:20 In those days, and in that time, saith the LORD, the iniquity of Israel shall be sought for, and there shall be none; and the sins of Judah, and they shall not be found: for I will pardon them whom I reserve.(KJV-1611) Jer 50:20 Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:21 ============ Jer 50:21 Go up against the land of Merathaim, even against it, and against the inhabitants of Pekod: waste and utterly destroy after them, saith the LORD, and do according to all that I have commanded thee.(KJV-1611) Jer 50:21 Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:22 ============ Jer 50:22 A sound of battle is in the land, and of great destruction.(KJV-1611) Jer 50:22 Nan tout peyi a, se lagè k'ap fèt! Se kraze brize nèt ale!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:23 ============ Jer 50:23 How is the hammer of the whole earth cut asunder and broken! how is Babylon become a desolation among the nations!(KJV-1611) Jer 50:23 Lavil Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Koulye a, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l' tounen yon dezè san moun ladan l' nan mitan tout nasyon yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:24 ============ Jer 50:24 I have laid a snare for thee, and thou art also taken, O Babylon, and thou wast not aware: thou art found, and also caught, because thou hast striven against the LORD.(KJV-1611) Jer 50:24 Babilòn! Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l' san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te soti pou goumen avè m'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:25 ============ Jer 50:25 The LORD hath opened his armoury, and hath brought forth the weapons of his indignation: for this is the work of the Lord GOD of hosts in the land of the Chaldeans.(KJV-1611) Jer 50:25 Seyè a louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m' fè ak moun Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:26 ============ Jer 50:26 Come against her from the utmost border, open her storehouses: cast her up as heaps, and destroy her utterly: let nothing of her be left.(KJV-1611) Jer 50:26 Soti toupatou sou latè, vin atake l'! Louvri tout depo pwovizyon l' yo! Anpile tou sa nou jwenn, boule tout pou Seyè a. Pa kite anyen!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:27 ============ Jer 50:27 Slay all her bullocks; let them go down to the slaughter: woe unto them! for their day is come, the time of their visitation.(KJV-1611) Jer 50:27 Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:28 ============ Jer 50:28 The voice of them that flee and escape out of the land of Babylon, to declare in Zion the vengeance of the LORD our God, the vengeance of his temple.(KJV-1611) Jer 50:28 Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:29 ============ Jer 50:29 Call together the archers against Babylon: all ye that bend the bow, camp against it round about; let none thereof escape: recompense her according to her work; according to all that she hath done, do unto her: for she hath been proud against the LORD, against the Holy One of Israel.(KJV-1611) Jer 50:29 Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:30 ============ Jer 50:30 Therefore shall her young men fall in the streets, and all her men of war shall be cut off in that day, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 50:30 Se poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l' yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:31 ============ Jer 50:31 Behold, I am against thee, O thou most proud, saith the Lord GOD of hosts: for thy day is come, the time that I will visit thee.(KJV-1611) Jer 50:31 Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:32 ============ Jer 50:32 And the most proud shall stumble and fall, and none shall raise him up: and I will kindle a fire in his cities, and it shall devour all round about him.(KJV-1611) Jer 50:32 Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pesonn p'ap ka fè l' kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:33 ============ Jer 50:33 Thus saith the LORD of hosts; The children of Israel and the children of Judah were oppressed together: and all that took them captives held them fast; they refused to let them go.(KJV-1611) Jer 50:33 Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:34 ============ Jer 50:34 Their Redeemer is strong; the LORD of hosts is his name: he shall throughly plead their cause, that he may give rest to the land, and disquiet the inhabitants of Babylon.(KJV-1611) Jer 50:34 Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:35 ============ Jer 50:35 A sword is upon the Chaldeans, saith the LORD, and upon the inhabitants of Babylon, and upon her princes, and upon her wise men.(KJV-1611) Jer 50:35 Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:36 ============ Jer 50:36 A sword is upon the liars; and they shall dote: a sword is upon her mighty men; and they shall be dismayed.(KJV-1611) Jer 50:36 Lanmò pou divinò li yo! Se yon bann egare yo ye. Lanmò pou sòlda li yo! Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:37 ============ Jer 50:37 A sword is upon their horses, and upon their chariots, and upon all the mingled people that are in the midst of her; and they shall become as women: a sword is upon her treasures; and they shall be robbed.(KJV-1611) Jer 50:37 Lanmò pou chwal li yo! Kraze tout cha lagè li yo. Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo! Se pou yo vin tankou fanm. Disparèt tout richès li yo. Piye tout byen li yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:38 ============ Jer 50:38 A drought is upon her waters; and they shall be dried up: for it is the land of graven images, and they are mad upon their idols.(KJV-1611) Jer 50:38 Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:39 ============ Jer 50:39 Therefore the wild beasts of the desert with the wild beasts of the islands shall dwell there, and the owls shall dwell therein: and it shall be no more inhabited for ever; neither shall it be dwelt in from generation to generation.(KJV-1611) Jer 50:39 Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:40 ============ Jer 50:40 As God overthrew Sodom and Gomorrah and the neighbour cities thereof, saith the LORD; so shall no man abide there, neither shall any son of man dwell therein.(KJV-1611) Jer 50:40 Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:41 ============ Jer 50:41 Behold, a people shall come from the north, and a great nation, and many kings shall be raised up from the coasts of the earth.(KJV-1611) Jer 50:41 Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:42 ============ Jer 50:42 They shall hold the bow and the lance: they are cruel, and will not shew mercy: their voice shall roar like the sea, and they shall ride upon horses, every one put in array, like a man to the battle, against thee, O daughter of Babylon.(KJV-1611) Jer 50:42 Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:43 ============ Jer 50:43 The king of Babylon hath heard the report of them, and his hands waxed feeble: anguish took hold of him, and pangs as of a woman in travail.(KJV-1611) Jer 50:43 Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:44 ============ Jer 50:44 Behold, he shall come up like a lion from the swelling of Jordan unto the habitation of the strong: but I will make them suddenly run away from her: and who is a chosen man, that I may appoint over her? for who is like me? and who will appoint me the time? and who is that shepherd that will stand before me?(KJV-1611) Jer 50:44 Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:45 ============ Jer 50:45 Therefore hear ye the counsel of the LORD, that he hath taken against Babylon; and his purposes, that he hath purposed against the land of the Chaldeans: Surely the least of the flock shall draw them out: surely he shall make their habitation desolate with them.(KJV-1611) Jer 50:45 Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 50:46 ============ Jer 50:46 At the noise of the taking of Babylon the earth is moved, and the cry is heard among the nations.(KJV-1611) Jer 50:46 Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:1 ============ Jer 51:1 Thus saith the LORD; Behold, I will raise up against Babylon, and against them that dwell in the midst of them that rise up against me, a destroying wind;(KJV-1611) Jer 51:1 Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:2 ============ Jer 51:2 And will send unto Babylon fanners, that shall fan her, and shall empty her land: for in the day of trouble they shall be against her round about.(KJV-1611) Jer 51:2 Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:3 ============ Jer 51:3 Against him that bendeth let the archer bend his bow, and against him that lifteth himself up in his brigandine: and spare ye not her young men; destroy ye utterly all her host.(KJV-1611) Jer 51:3 Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:4 ============ Jer 51:4 Thus the slain shall fall in the land of the Chaldeans, and they that are thrust through in her streets.(KJV-1611) Jer 51:4 Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:5 ============ Jer 51:5 For Israel hath not been forsaken, nor Judah of his God, of the LORD of hosts; though their land was filled with sin against the Holy One of Israel.(KJV-1611) Jer 51:5 Paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:6 ============ Jer 51:6 Flee out of the midst of Babylon, and deliver every man his soul: be not cut off in her iniquity; for this is the time of the LORD's vengeance; he will render unto her a recompence.(KJV-1611) Jer 51:6 Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:7 ============ Jer 51:7 Babylon hath been a golden cup in the LORD's hand, that made all the earth drunken: the nations have drunken of her wine; therefore the nations are mad.(KJV-1611) Jer 51:7 Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:8 ============ Jer 51:8 Babylon is suddenly fallen and destroyed: howl for her; take balm for her pain, if so be she may be healed.(KJV-1611) Jer 51:8 Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:9 ============ Jer 51:9 We would have healed Babylon, but she is not healed: forsake her, and let us go every one into his own country: for her judgment reacheth unto heaven, and is lifted up even to the skies.(KJV-1611) Jer 51:9 Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:10 ============ Jer 51:10 The LORD hath brought forth our righteousness: come, and let us declare in Zion the work of the LORD our God.(KJV-1611) Jer 51:10 Pèp Izrayèl la di: Seyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Seyè a, Bondye nou an, fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:11 ============ Jer 51:11 Make bright the arrows; gather the shields: the LORD hath raised up the spirit of the kings of the Medes: for his device is against Babylon, to destroy it; because it is the vengeance of the LORD, the vengeance of his temple.(KJV-1611) Jer 51:11 Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:12 ============ Jer 51:12 Set up the standard upon the walls of Babylon, make the watch strong, set up the watchmen, prepare the ambushes: for the LORD hath both devised and done that which he spake against the inhabitants of Babylon.(KJV-1611) Jer 51:12 Leve drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonnè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo. Seyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:13 ============ Jer 51:13 O thou that dwellest upon many waters, abundant in treasures, thine end is come, and the measure of thy covetousness.(KJV-1611) Jer 51:13 Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:14 ============ Jer 51:14 The LORD of hosts hath sworn by himself, saying, Surely I will fill thee with men, as with caterpillers; and they shall lift up a shout against thee.(KJV-1611) Jer 51:14 Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:15 ============ Jer 51:15 He hath made the earth by his power, he hath established the world by his wisdom, and hath stretched out the heaven by his understanding.(KJV-1611) Jer 51:15 Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:16 ============ Jer 51:16 When he uttereth his voice, there is a multitude of waters in the heavens; and he causeth the vapours to ascend from the ends of the earth: he maketh lightnings with rain, and bringeth forth the wind out of his treasures.(KJV-1611) Jer 51:16 Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:17 ============ Jer 51:17 Every man is brutish by his knowledge; every founder is confounded by the graven image: for his molten image is falsehood, and there is no breath in them.(KJV-1611) Jer 51:17 Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:18 ============ Jer 51:18 They are vanity, the work of errors: in the time of their visitation they shall perish.(KJV-1611) Jer 51:18 Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:19 ============ Jer 51:19 The portion of Jacob is not like them; for he is the former of all things: and Israel is the rod of his inheritance: the LORD of hosts is his name.(KJV-1611) Jer 51:19 Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:20 ============ Jer 51:20 Thou art my battle axe and weapons of war: for with thee will I break in pieces the nations, and with thee will I destroy kingdoms;(KJV-1611) Jer 51:20 Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:21 ============ Jer 51:21 And with thee will I break in pieces the horse and his rider; and with thee will I break in pieces the chariot and his rider;(KJV-1611) Jer 51:21 Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo. Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo ak tout moun ki t'ap mennen yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:22 ============ Jer 51:22 With thee also will I break in pieces man and woman; and with thee will I break in pieces old and young; and with thee will I break in pieces the young man and the maid;(KJV-1611) Jer 51:22 Se avè ou mwen te kraze fanm kou gason, granmoun kou timoun, jenn gason kou jenn fi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:23 ============ Jer 51:23 I will also break in pieces with thee the shepherd and his flock; and with thee will I break in pieces the husbandman and his yoke of oxen; and with thee will I break in pieces captains and rulers.(KJV-1611) Jer 51:23 Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:24 ============ Jer 51:24 And I will render unto Babylon and to all the inhabitants of Chaldea all their evil that they have done in Zion in your sight, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 51:24 Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:25 ============ Jer 51:25 Behold, I am against thee, O destroying mountain, saith the LORD, which destroyest all the earth: and I will stretch out mine hand upon thee, and roll thee down from the rocks, and will make thee a burnt mountain.(KJV-1611) Jer 51:25 Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:26 ============ Jer 51:26 And they shall not take of thee a stone for a corner, nor a stone for foundations; but thou shalt be desolate for ever, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 51:26 Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:27 ============ Jer 51:27 Set ye up a standard in the land, blow the trumpet among the nations, prepare the nations against her, call together against her the kingdoms of Ararat, Minni, and Ashchenaz; appoint a captain against her; cause the horses to come up as the rough caterpillers.(KJV-1611) Jer 51:27 Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:28 ============ Jer 51:28 Prepare against her the nations with the kings of the Medes, the captains thereof, and all the rulers thereof, and all the land of his dominion.(KJV-1611) Jer 51:28 Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:29 ============ Jer 51:29 And the land shall tremble and sorrow: for every purpose of the LORD shall be performed against Babylon, to make the land of Babylon a desolation without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 51:29 Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:30 ============ Jer 51:30 The mighty men of Babylon have forborn to fight, they have remained in their holds: their might hath failed; they became as women: they have burned her dwellingplaces; her bars are broken.(KJV-1611) Jer 51:30 Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:31 ============ Jer 51:31 One post shall run to meet another, and one messenger to meet another, to shew the king of Babylon that his city is taken at one end,(KJV-1611) Jer 51:31 Mesaje sou mesaje ap kouri brid sou kou al di wa Babilòn lan lènmi anvayi lavil li a nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:32 ============ Jer 51:32 And that the passages are stopped, and the reeds they have burned with fire, and the men of war are affrighted.(KJV-1611) Jer 51:32 Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:33 ============ Jer 51:33 For thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; The daughter of Babylon is like a threshingfloor, it is time to thresh her: yet a little while, and the time of her harvest shall come.(KJV-1611) Jer 51:33 Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:34 ============ Jer 51:34 Nebuchadrezzar the king of Babylon hath devoured me, he hath crushed me, he hath made me an empty vessel, he hath swallowed me up like a dragon, he hath filled his belly with my delicates, he hath cast me out.(KJV-1611) Jer 51:34 Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:35 ============ Jer 51:35 The violence done to me and to my flesh be upon Babylon, shall the inhabitant of Zion say; and my blood upon the inhabitants of Chaldea, shall Jerusalem say.(KJV-1611) Jer 51:35 Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:36 ============ Jer 51:36 Therefore thus saith the LORD; Behold, I will plead thy cause, and take vengeance for thee; and I will dry up her sea, and make her springs dry.(KJV-1611) Jer 51:36 Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:37 ============ Jer 51:37 And Babylon shall become heaps, a dwellingplace for dragons, an astonishment, and an hissing, without an inhabitant.(KJV-1611) Jer 51:37 Lavil Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pesonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:38 ============ Jer 51:38 They shall roar together like lions: they shall yell as lions' whelps.(KJV-1611) Jer 51:38 Moun Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap griyen dan yo tankou jenn lyon.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:39 ============ Jer 51:39 In their heat I will make their feasts, and I will make them drunken, that they may rejoice, and sleep a perpetual sleep, and not wake, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 51:39 Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:40 ============ Jer 51:40 I will bring them down like lambs to the slaughter, like rams with he goats.(KJV-1611) Jer 51:40 M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:41 ============ Jer 51:41 How is Sheshach taken! and how is the praise of the whole earth surprised! how is Babylon become an astonishment among the nations!(KJV-1611) Jer 51:41 Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:42 ============ Jer 51:42 The sea is come up upon Babylon: she is covered with the multitude of the waves thereof.(KJV-1611) Jer 51:42 Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:43 ============ Jer 51:43 Her cities are a desolation, a dry land, and a wilderness, a land wherein no man dwelleth, neither doth any son of man pass thereby.(KJV-1611) Jer 51:43 Tout ti bouk li yo tounen yon dezè tou, san pa gen yon gout dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn ladan yo ankò. Pesonn pa pase la non plis.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:44 ============ Jer 51:44 And I will punish Bel in Babylon, and I will bring forth out of his mouth that which he hath swallowed up: and the nations shall not flow together any more unto him: yea, the wall of Babylon shall fall.(KJV-1611) Jer 51:44 M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:45 ============ Jer 51:45 My people, go ye out of the midst of her, and deliver ye every man his soul from the fierce anger of the LORD.(KJV-1611) Jer 51:45 Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Seyè a move anpil sou lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:46 ============ Jer 51:46 And lest your heart faint, and ye fear for the rumour that shall be heard in the land; a rumour shall both come one year, and after that in another year shall come a rumour, and violence in the land, ruler against ruler.(KJV-1611) Jer 51:46 Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak lanne yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè yo di se mechanste k'ap fèt nan peyi a, yon lòt lè yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pran pouvwa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:47 ============ Jer 51:47 Therefore, behold, the days come, that I will do judgment upon the graven images of Babylon: and her whole land shall be confounded, and all her slain shall fall in the midst of her.(KJV-1611) Jer 51:47 Men jou yo rive pou m' regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:48 ============ Jer 51:48 Then the heaven and the earth, and all that is therein, shall sing for Babylon: for the spoilers shall come unto her from the north, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 51:48 Tout bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap soti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:49 ============ Jer 51:49 As Babylon hath caused the slain of Israel to fall, so at Babylon shall fall the slain of all the earth.(KJV-1611) Jer 51:49 Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè. Koulye a se Babilòn ki pral tonbe, paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:50 ============ Jer 51:50 Ye that have escaped the sword, go away, stand not still: remember the LORD afar off, and let Jerusalem come into your mind.(KJV-1611) Jer 51:50 Seyè a pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa: -Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete! Nou te mèt byen lwen lakay nou, mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:51 ============ Jer 51:51 We are confounded, because we have heard reproach: shame hath covered our faces: for strangers are come into the sanctuaries of the LORD's house.(KJV-1611) Jer 51:51 Nou di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou. Lawont fè nou bouche figi nou, paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo nan kote ki apa nèt pou Seyè a nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:52 ============ Jer 51:52 Wherefore, behold, the days come, saith the LORD, that I will do judgment upon her graven images: and through all her land the wounded shall groan.(KJV-1611) Jer 51:52 Enben, men sa Seyè a di ankò: Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo. Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:53 ============ Jer 51:53 Though Babylon should mount up to heaven, and though she should fortify the height of her strength, yet from me shall spoilers come unto her, saith the LORD.(KJV-1611) Jer 51:53 Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:54 ============ Jer 51:54 A sound of a cry cometh from Babylon, and great destruction from the land of the Chaldeans:(KJV-1611) Jer 51:54 Seyè a di ankò: -Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:55 ============ Jer 51:55 Because the LORD hath spoiled Babylon, and destroyed out of her the great voice; when her waves do roar like great waters, a noise of their voice is uttered:(KJV-1611) Jer 51:55 Se mwen menm Seyè a k'ap detwi lavil Babilòn. Mwen fè l' pe bouch li. Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move, m'ap fè l' sispann rele.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:56 ============ Jer 51:56 Because the spoiler is come upon her, even upon Babylon, and her mighty men are taken, every one of their bows is broken: for the LORD God of recompences shall surely requite.(KJV-1611) Jer 51:56 Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:57 ============ Jer 51:57 And I will make drunk her princes, and her wise men, her captains, and her rulers, and her mighty men: and they shall sleep a perpetual sleep, and not wake, saith the King, whose name is the LORD of hosts.(KJV-1611) Jer 51:57 M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:58 ============ Jer 51:58 Thus saith the LORD of hosts; The broad walls of Babylon shall be utterly broken, and her high gates shall be burned with fire; and the people shall labour in vain, and the folk in the fire, and they shall be weary.(KJV-1611) Jer 51:58 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:59 ============ Jer 51:59 The word which Jeremiah the prophet commanded Seraiah the son of Neriah, the son of Maaseiah, when he went with Zedekiah the king of Judah into Babylon in the fourth year of his reign. And this Seraiah was a quiet prince.(KJV-1611) Jer 51:59 Sedesyas, wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:60 ============ Jer 51:60 So Jeremiah wrote in a book all the evil that should come upon Babylon, even all these words that are written against Babylon.(KJV-1611) Jer 51:60 Jeremi te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:61 ============ Jer 51:61 And Jeremiah said to Seraiah, When thou comest to Babylon, and shalt see, and shalt read all these words;(KJV-1611) Jer 51:61 Jeremi di Seraja konsa: -Lè w'a rive lavil Babilòn, pa bliye se pou ou li tou sa ki ekri nan liv la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:62 ============ Jer 51:62 Then shalt thou say, O LORD, thou hast spoken against this place, to cut it off, that none shall remain in it, neither man nor beast, but that it shall be desolate for ever.(KJV-1611) Jer 51:62 Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan!(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:63 ============ Jer 51:63 And it shall be, when thou hast made an end of reading this book, that thou shalt bind a stone to it, and cast it into the midst of Euphrates:(KJV-1611) Jer 51:63 Lè w'a fin li liv sa a, w'a mare l' sou yon wòch, w'a voye l' jete nan mitan larivyè Lefrat.(Creole-HT) ======= Jeremiah 51:64 ============ Jer 51:64 And thou shalt say, Thus shall Babylon sink, and shall not rise from the evil that I will bring upon her: and they shall be weary. Thus far are the words of Jeremiah.(KJV-1611) Jer 51:64 Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:1 ============ Jer 52:1 Zedekiah was one and twenty years old when he began to reign, and he reigned eleven years in Jerusalem. And his mother's name was Hamutal the daughter of Jeremiah of Libnah.(KJV-1611) Jer 52:1 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:2 ============ Jer 52:2 And he did that which was evil in the eyes of the LORD, according to all that Jehoiakim had done.(KJV-1611) Jer 52:2 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakim.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:3 ============ Jer 52:3 For through the anger of the LORD it came to pass in Jerusalem and Judah, till he had cast them out from his presence, that Zedekiah rebelled against the king of Babylon.(KJV-1611) Jer 52:3 Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l'. Sedesyas te pran lezam kont Nèbikadneza, wa Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:4 ============ Jer 52:4 And it came to pass in the ninth year of his reign, in the tenth month, in the tenth day of the month, that Nebuchadrezzar king of Babylon came, he and all his army, against Jerusalem, and pitched against it, and built forts against it round about.(KJV-1611) Jer 52:4 Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:5 ============ Jer 52:5 So the city was besieged unto the eleventh year of king Zedekiah.(KJV-1611) Jer 52:5 Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedeisas la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:6 ============ Jer 52:6 And in the fourth month, in the ninth day of the month, the famine was sore in the city, so that there was no bread for the people of the land.(KJV-1611) Jer 52:6 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:7 ============ Jer 52:7 Then the city was broken up, and all the men of war fled, and went forth out of the city by night by the way of the gate between the two walls, which was by the king's garden; (now the Chaldeans were by the city round about:) and they went by the way of the plain.(KJV-1611) Jer 52:7 Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:8 ============ Jer 52:8 But the army of the Chaldeans pursued after the king, and overtook Zedekiah in the plains of Jericho; and all his army was scattered from him.(KJV-1611) Jer 52:8 Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:9 ============ Jer 52:9 Then they took the king, and carried him up unto the king of Babylon to Riblah in the land of Hamath; where he gave judgment upon him.(KJV-1611) Jer 52:9 Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:10 ============ Jer 52:10 And the king of Babylon slew the sons of Zedekiah before his eyes: he slew also all the princes of Judah in Riblah.(KJV-1611) Jer 52:10 Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a. Li fè koupe kou tout chèf peyi Jida yo tou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:11 ============ Jer 52:11 Then he put out the eyes of Zedekiah; and the king of Babylon bound him in chains, and carried him to Babylon, and put him in prison till the day of his death.(KJV-1611) Jer 52:11 Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. Yo mete Sedesyas nan prizon, li rete la jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:12 ============ Jer 52:12 Now in the fifth month, in the tenth day of the month, which was the nineteenth year of Nebuchadrezzar king of Babylon, came Nebuzaradan, captain of the guard, which served the king of Babylon, into Jerusalem,(KJV-1611) Jer 52:12 Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:13 ============ Jer 52:13 And burned the house of the LORD, and the king's house; and all the houses of Jerusalem, and all the houses of the great men, burned he with fire:(KJV-1611) Jer 52:13 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:14 ============ Jer 52:14 And all the army of the Chaldeans, that were with the captain of the guard, brake down all the walls of Jerusalem round about.(KJV-1611) Jer 52:14 Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:15 ============ Jer 52:15 Then Nebuzaradan the captain of the guard carried away captive certain of the poor of the people, and the residue of the people that remained in the city, and those that fell away, that fell to the king of Babylon, and the rest of the multitude.(KJV-1611) Jer 52:15 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs atizan ki te rete nan lavil la.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:16 ============ Jer 52:16 But Nebuzaradan the captain of the guard left certain of the poor of the land for vinedressers and for husbandmen.(KJV-1611) Jer 52:16 Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pa t' gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:17 ============ Jer 52:17 Also the pillars of brass that were in the house of the LORD, and the bases, and the brasen sea that was in the house of the LORD, the Chaldeans brake, and carried all the brass of them to Babylon.(KJV-1611) Jer 52:17 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:18 ============ Jer 52:18 The caldrons also, and the shovels, and the snuffers, and the bowls, and the spoons, and all the vessels of brass wherewith they ministered, took they away.(KJV-1611) Jer 52:18 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:19 ============ Jer 52:19 And the basons, and the firepans, and the bowls, and the caldrons, and the candlesticks, and the spoons, and the cups; that which was of gold in gold, and that which was of silver in silver, took the captain of the guard away.(KJV-1611) Jer 52:19 Chèf lagad la pran dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: kivèt yo, recho yo, gode yo, plat pou resevwa sann yo, lanp sèt branch yo, bòl yo ak tas yo,(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:20 ============ Jer 52:20 The two pillars, one sea, and twelve brasen bulls that were under the bases, which king Solomon had made in the house of the LORD: the brass of all these vessels was without weight.(KJV-1611) Jer 52:20 de gwo poto yo, gwo basen lan ak douz estati towo ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:21 ============ Jer 52:21 And concerning the pillars, the height of one pillar was eighteen cubits; and a fillet of twelve cubits did compass it; and the thickness thereof was four fingers: it was hollow.(KJV-1611) Jer 52:21 De poto yo te parèy yonn ak lòt: yo chak te gen vennsèt pye wotè, se yon kòd dizwit pye longè ki pou ta fè wonn yo chak. Poto yo te vid nan mitan. Rebò yo te gen twa pous epesè.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:22 ============ Jer 52:22 And a chapiter of brass was upon it; and the height of one chapiter was five cubits, with network and pomegranates upon the chapiters round about, all of brass. The second pillar also and the pomegranates were like unto these.(KJV-1611) Jer 52:22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt, ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:23 ============ Jer 52:23 And there were ninety and six pomegranates on a side; and all the pomegranates upon the network were an hundred round about.(KJV-1611) Jer 52:23 Sou wonn tèt poto yo te gen san grenad antou, men antan ou anba ou te ka wè katrevensèz grenad sèlman.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:24 ============ Jer 52:24 And the captain of the guard took Seraiah the chief priest, and Zephaniah the second priest, and the three keepers of the door:(KJV-1611) Jer 52:24 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:25 ============ Jer 52:25 He took also out of the city an eunuch, which had the charge of the men of war; and seven men of them that were near the king's person, which were found in the city; and the principal scribe of the host, who mustered the people of the land; and threescore men of the people of the land, that were found in the midst of the city.(KJV-1611) Jer 52:25 Nan lavil la, li pran chèf ki te alatèt lame a ansanm ak sèt lòt otorite ki te toujou avèk wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:26 ============ Jer 52:26 So Nebuzaradan the captain of the guard took them, and brought them to the king of Babylon to Riblah.(KJV-1611) Jer 52:26 Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:27 ============ Jer 52:27 And the king of Babylon smote them, and put them to death in Riblah in the land of Hamath. Thus Judah was carried away captive out of his own land.(KJV-1611) Jer 52:27 Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:28 ============ Jer 52:28 This is the people whom Nebuchadrezzar carried away captive: in the seventh year three thousand Jews and three and twenty:(KJV-1611) Jer 52:28 Men kantite moun wa Nèbikadneza te depòte: Nan setyèm lanne rèy li a, li depòte twamil venntwa moun peyi Jida.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:29 ============ Jer 52:29 In the eighteenth year of Nebuchadrezzar he carried away captive from Jerusalem eight hundred thirty and two persons:(KJV-1611) Jer 52:29 Nan dizwityèm lanne rèy li a, li depòte witsantrannde moun lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:30 ============ Jer 52:30 In the three and twentieth year of Nebuchadrezzar Nebuzaradan the captain of the guard carried away captive of the Jews seven hundred forty and five persons: all the persons were four thousand and six hundred.(KJV-1611) Jer 52:30 Nan venntwazyèm lanne rèy li a, Neboucharadan, chèf lagad la, te pran sètsankarannsenk moun yo te depòte.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:31 ============ Jer 52:31 And it came to pass in the seven and thirtieth year of the captivity of Jehoiachin king of Judah, in the twelfth month, in the five and twentieth day of the month, that Evilmerodach king of Babylon in the first year of his reign lifted up the head of Jehoiachin king of Judah, and brought him forth out of prison.(KJV-1611) Jer 52:31 Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:32 ============ Jer 52:32 And spake kindly unto him, and set his throne above the throne of the kings that were with him in Babylon,(KJV-1611) Jer 52:32 Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:33 ============ Jer 52:33 And changed his prison garments: and he did continually eat bread before him all the days of his life.(KJV-1611) Jer 52:33 Li wete rad prizonye ki te sou Jojakim lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' jouk Jojakim mouri.(Creole-HT) ======= Jeremiah 52:34 ============ Jer 52:34 And for his diet, there was a continual diet given him of the king of Babylon, every day a portion until the day of his death, all the days of his life.(KJV-1611) Jer 52:34 Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:1 ============ Lam 1:1 How doth the city sit solitary, that was full of people! how is she become as a widow! she that was great among the nations, and princess among the provinces, how is she become tributary!(KJV-1611) Lam 1:1 Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!(Creole-HT) ======= Lamentations 1:2 ============ Lam 1:2 She weepeth sore in the night, and her tears are on her cheeks: among all her lovers she hath none to comfort her: all her friends have dealt treacherously with her, they are become her enemies.(KJV-1611) Lam 1:2 Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:3 ============ Lam 1:3 Judah is gone into captivity because of affliction, and because of great servitude: she dwelleth among the heathen, she findeth no rest: all her persecutors overtook her between the straits.(KJV-1611) Lam 1:3 Yo depòte moun peyi Jida yo, y'ap peze yo. Y'ap kraze yo anba travay di. Moun peyi Jida yo ap viv nan lòt peyi. Yo pa gen kote pou yo poze kò yo. Tout moun ki pa vle wè yo sènen yo toupatou! Pa gen chape pou yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:4 ============ Lam 1:4 The ways of Zion do mourn, because none come to the solemn feasts: all her gates are desolate: her priests sigh, her virgins are afflicted, and she is in bitterness.(KJV-1611) Lam 1:4 Chemen ki mennen sou mòn Siyon yo blanch! Pesonn pa moute al fè sèvis jou fèt yo. Pòtay li yo vid. Prèt yo ap plenn. Tout medam ki konn chante yo nan lafliksyon. Mòn Siyon an nan gwo chagren.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:5 ============ Lam 1:5 Her adversaries are the chief, her enemies prosper; for the LORD hath afflicted her for the multitude of her transgressions: her children are gone into captivity before the enemy.(KJV-1611) Lam 1:5 Lènmi l' yo pran pye sou li. Moun ki pa vle wè l' yo gen lapè avè l'. Seyè a ap fè l' soufri pou tout kantite peche li fè yo. Ata timoun piti yo depòte. Lènmi pouse yo mache devan yo!(Creole-HT) ======= Lamentations 1:6 ============ Lam 1:6 And from the daughter of Zion all her beauty is departed: her princes are become like harts that find no pasture, and they are gone without strength before the pursuer.(KJV-1611) Lam 1:6 Lavil Jerizalèm pèdi tout prestij li. Chèf li yo tankou kabrit mawon ki pa jwenn zèb pou yo manje. Yo pa gen fòs pou yo kouri chape dèvan moun ki dèyè yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:7 ============ Lam 1:7 Jerusalem remembered in the days of her affliction and of her miseries all her pleasant things that she had in the days of old, when her people fell into the hand of the enemy, and none did help her: the adversaries saw her, and did mock at her sabbaths.(KJV-1611) Lam 1:7 Nan mizè kote yo ye a, nan pwonmennen toupatou sa a, moun lavil Jerizalèm yo chonje tout bèl bagay yo te gen nan tan lontan. Lè moun li yo tonbe anba men lènmi pesonn pa vin pote yo sekou. Moun ki pa vle wè l' yo ap pale sou li. Yo kontan wè jan yo fini avè l'.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:8 ============ Lam 1:8 Jerusalem hath grievously sinned; therefore she is removed: all that honoured her despise her, because they have seen her nakedness: yea, she sigheth, and turneth backward.(KJV-1611) Lam 1:8 Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:9 ============ Lam 1:9 Her filthiness is in her skirts; she remembereth not her last end; therefore she came down wonderfully: she had no comforter. O LORD, behold my affliction: for the enemy hath magnified himself.(KJV-1611) Lam 1:9 Malpwòpte te sou tout rad li, men li pa t' fè lide kote sa t'ap mennen l'. Li tonbe plat atè. Pesonn pa vin konsole li. Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non! Lènmi m' yo mete pye sou kou mwen.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:10 ============ Lam 1:10 The adversary hath spread out his hand upon all her pleasant things: for she hath seen that the heathen entered into her sanctuary, whom thou didst command that they should not enter into thy congregation.(KJV-1611) Lam 1:10 Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:11 ============ Lam 1:11 All her people sigh, they seek bread; they have given their pleasant things for meat to relieve the soul: see, O LORD, and consider; for I am become vile.(KJV-1611) Lam 1:11 Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz!(Creole-HT) ======= Lamentations 1:12 ============ Lam 1:12 Is it nothing to you, all ye that pass by? behold, and see if there be any sorrow like unto my sorrow, which is done unto me, wherewith the LORD hath afflicted me in the day of his fierce anger.(KJV-1611) Lam 1:12 Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:13 ============ Lam 1:13 From above hath he sent fire into my bones, and it prevaileth against them: he hath spread a net for my feet, he hath turned me back: he hath made me desolate and faint all the day.(KJV-1611) Lam 1:13 Li rete anwo, li voye dife sou mwen, yon dife ki boule tout anndan mwen. Li tann pèlen pou mwen, li fè m' tonbe atè, Li kite m' pou kont mwen. San rete m'ap kòde anba soufrans.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:14 ============ Lam 1:14 The yoke of my transgressions is bound by his hand: they are wreathed, and come up upon my neck: he hath made my strength to fall, the LORD hath delivered me into their hands, from whom I am not able to rise up.(KJV-1611) Lam 1:14 Li make tout peche m' yo. Li fè yon pakèt ak yo. Li pandye yo nan kou m'. Yo sitèlman lou, m' pa kapab ankò! Bondye sèl Mèt la lage m' nan men lènmi m' yo. M' pa ka kenbe tèt ak yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:15 ============ Lam 1:15 The LORD hath trodden under foot all my mighty men in the midst of me: he hath called an assembly against me to crush my young men: the LORD hath trodden the virgin, the daughter of Judah, as in a winepress.(KJV-1611) Lam 1:15 Bondye sèl Mèt la kraze tout vanyan gason m' te genyen yo anba pye l'. Li sanble yon foul moun pou yo atake m', pou yo touye tout jenn gason m' yo. Li kraze moun peyi Jida yo tankou kann nan moulen.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:16 ============ Lam 1:16 For these things I weep; mine eye, mine eye runneth down with water, because the comforter that should relieve my soul is far from me: my children are desolate, because the enemy prevailed.(KJV-1611) Lam 1:16 Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:17 ============ Lam 1:17 Zion spreadeth forth her hands, and there is none to comfort her: the LORD hath commanded concerning Jacob, that his adversaries should be round about him: Jerusalem is as a menstruous woman among them.(KJV-1611) Lam 1:17 Mòn Siyon an lonje men l', men, pa gen pesonn pou ba l' kouraj. Seyè a rele tout moun ki pa vle wè peyi Jakòb la, pou yo sènen l' toupatou. Lavil Jerizalèm tounen malpwòpte nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:18 ============ Lam 1:18 The LORD is righteous; for I have rebelled against his commandment: hear, I pray you, all people, and behold my sorrow: my virgins and my young men are gone into captivity.(KJV-1611) Lam 1:18 Men, Seyè a gen rezon l' nan pla men l' paske mwen te refize koute l' lè li t'ap pale m'! Nou tout moun ki toupatou, koute m'! Gade jan m'ap soufri! Yo depòte jenn gason ak jenn fi m' yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:19 ============ Lam 1:19 I called for my lovers, but they deceived me: my priests and mine elders gave up the ghost in the city, while they sought their meat to relieve their souls.(KJV-1611) Lam 1:19 Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:20 ============ Lam 1:20 Behold, O LORD; for I am in distress: my bowels are troubled; mine heart is turned within me; for I have grievously rebelled: abroad the sword bereaveth, at home there is as death.(KJV-1611) Lam 1:20 Seyè, gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse. Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò. Nan lari y'ap ansasinen mwen. Anndan kay menm, se pa pale!(Creole-HT) ======= Lamentations 1:21 ============ Lam 1:21 They have heard that I sigh: there is none to comfort me: all mine enemies have heard of my trouble; they are glad that thou hast done it: thou wilt bring the day that thou hast called, and they shall be like unto me.(KJV-1611) Lam 1:21 Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.(Creole-HT) ======= Lamentations 1:22 ============ Lam 1:22 Let all their wickedness come before thee; and do unto them, as thou hast done unto me for all my transgressions: for my sighs are many, and my heart is faint.(KJV-1611) Lam 1:22 Jije yo pou mechanste yo. Pini yo menm jan ou pini m' pou peche m' yo. M'ap plenn anpil. Kè m' ap fann.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:1 ============ Lam 2:1 How hath the LORD covered the daughter of Zion with a cloud in his anger, and cast down from heaven unto the earth the beauty of Israel, and remembered not his footstool in the day of his anger!(KJV-1611) Lam 2:1 Bondye sèl Mèt la fè kòlè, li voye yon gwo nwaj nwa kouvri lavil Jerizalèm. Tou sa ki te fè respè pèp Izrayèl la, li kraze l' anba pye l'. Jou li fè kòlè a, ata tanp kote li poze pye l' la, li pa chonje l'.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:2 ============ Lam 2:2 The LORD hath swallowed up all the habitations of Jacob, and hath not pitied: he hath thrown down in his wrath the strong holds of the daughter of Judah; he hath brought them down to the ground: he hath polluted the kingdom and the princes thereof.(KJV-1611) Lam 2:2 Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:3 ============ Lam 2:3 He hath cut off in his fierce anger all the horn of Israel: he hath drawn back his right hand from before the enemy, and he burned against Jacob like a flaming fire, which devoureth round about.(KJV-1611) Lam 2:3 Nan gwo kòlè li, li kraze tout fòs kouraj pèp Izrayèl la. Li derefize ede nou lè lènmi atake nou. Li move sou nou, li te tankou yon dife k'ap boule dènye bagay alawonn.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:4 ============ Lam 2:4 He hath bent his bow like an enemy: he stood with his right hand as an adversary, and slew all that were pleasant to the eye in the tabernacle of the daughter of Zion: he poured out his fury like fire.(KJV-1611) Lam 2:4 Li atake nou, li tonbe sou nou tankou yon lènmi. Li touye tou sa ki te fè plezi ak kontantman nou. Jouk anndan lakay nou, li fè nou santi jan li move sou nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:5 ============ Lam 2:5 The LORD was as an enemy: he hath swallowed up Israel, he hath swallowed up all her palaces: he hath destroyed his strong holds, and hath increased in the daughter of Judah mourning and lamentation.(KJV-1611) Lam 2:5 Tankou yon lènmi, Bondye sèl Mèt la fini ak pèp Izrayèl la. Li kraze dènye gwo kay li yo, li detwi tout fò li yo. Li fè moun peyi Jida yo rete ap plenn sou plenn.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:6 ============ Lam 2:6 And he hath violently taken away his tabernacle, as if it were of a garden: he hath destroyed his places of the assembly: the LORD hath caused the solemn feasts and sabbaths to be forgotten in Zion, and hath despised in the indignation of his anger the king and the priest.(KJV-1611) Lam 2:6 Li fè tanp lan tounen tankou yon jaden vòlò devaste. Li kraze kote li konn gen randevou ak pèp la. Li fè sispann tout jou fèt, tout jou repo sou mòn Siyon an. Li move ata sou wa ak prèt yo. Yo tout pase anba men l'.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:7 ============ Lam 2:7 The LORD hath cast off his altar, he hath abhorred his sanctuary, he hath given up into the hand of the enemy the walls of her palaces; they have made a noise in the house of the LORD, as in the day of a solemn feast.(KJV-1611) Lam 2:7 Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:8 ============ Lam 2:8 The LORD hath purposed to destroy the wall of the daughter of Zion: he hath stretched out a line, he hath not withdrawn his hand from destroying: therefore he made the rampart and the wall to lament; they languished together.(KJV-1611) Lam 2:8 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te soti pou l' kraze miray lavil Siyon an. Li fè plan pou lè l' kraze l', li kraze l' nèt. Miray fò yo ak miray ranpa yo tonbe, yo kraze ansanm.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:9 ============ Lam 2:9 Her gates are sunk into the ground; he hath destroyed and broken her bars: her king and her princes are among the Gentiles: the law is no more; her prophets also find no vision from the LORD.(KJV-1611) Lam 2:9 Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:10 ============ Lam 2:10 The elders of the daughter of Zion sit upon the ground, and keep silence: they have cast up dust upon their heads; they have girded themselves with sackcloth: the virgins of Jerusalem hang down their heads to the ground.(KJV-1611) Lam 2:10 Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:11 ============ Lam 2:11 Mine eyes do fail with tears, my bowels are troubled, my liver is poured upon the earth, for the destruction of the daughter of my people; because the children and the sucklings swoon in the streets of the city.(KJV-1611) Lam 2:11 Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:12 ============ Lam 2:12 They say to their mothers, Where is corn and wine? when they swooned as the wounded in the streets of the city, when their soul was poured out into their mothers' bosom.(KJV-1611) Lam 2:12 Y'ap rele manman yo, Y'ap kriye pou pen ak dlo sikre. Yo tonbe san konesans nan lari a tankou moun ki blese, yo mouri nan bra manman yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:13 ============ Lam 2:13 What thing shall I take to witness for thee? what thing shall I liken to thee, O daughter of Jerusalem? what shall I equal to thee, that I may comfort thee, O virgin daughter of Zion? for thy breach is great like the sea: who can heal thee?(KJV-1611) Lam 2:13 Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò!(Creole-HT) ======= Lamentations 2:14 ============ Lam 2:14 Thy prophets have seen vain and foolish things for thee: and they have not discovered thine iniquity, to turn away thy captivity; but have seen for thee false burdens and causes of banishment.(KJV-1611) Lam 2:14 Pwofèt yo pa wè anyen pou yo di ou pase manti ak radòt. Yo kase fèy kouvri peche ou yo pou ou. Yo fè ou pèdi chans ou te gen pou ou te kanpe ankò a. Yo pa wè anyen pou yo di ou. Y'ap ba ou manti, y'ap pete ou.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:15 ============ Lam 2:15 All that pass by clap their hands at thee; they hiss and wag their head at the daughter of Jerusalem, saying, Is this the city that men call The perfection of beauty, The joy of the whole earth?(KJV-1611) Lam 2:15 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!(Creole-HT) ======= Lamentations 2:16 ============ Lam 2:16 All thine enemies have opened their mouth against thee: they hiss and gnash the teeth: they say, We have swallowed her up: certainly this is the day that we looked for; we have found, we have seen it.(KJV-1611) Lam 2:16 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!(Creole-HT) ======= Lamentations 2:17 ============ Lam 2:17 The LORD hath done that which he had devised; he hath fulfilled his word that he had commanded in the days of old: he hath thrown down, and hath not pitied: and he hath caused thine enemy to rejoice over thee, he hath set up the horn of thine adversaries.(KJV-1611) Lam 2:17 Seyè a fè sa li te di li t'ap fè a. Li kenbe pawòl li te di depi nan tan lontan an. Li kraze san gade dèyè. Li fè lènmi nou yo genyen batay la sou nou. Li fè yo kontan wè jan nou fini.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:18 ============ Lam 2:18 Their heart cried unto the LORD, O wall of the daughter of Zion, let tears run down like a river day and night: give thyself no rest; let not the apple of thine eye cease.(KJV-1611) Lam 2:18 Jerizalèm, ou mèt kite miray ou yo rele nan pye Seyè a. Kite dlo koule nan je ou tankou larivyè, lajounen kou lannwit! Pa pran kanpo menm! Pa kite dlo nan je ou cheche!(Creole-HT) ======= Lamentations 2:19 ============ Lam 2:19 Arise, cry out in the night: in the beginning of the watches pour out thine heart like water before the face of the LORD: lift up thy hands toward him for the life of thy young children, that faint for hunger in the top of every street.(KJV-1611) Lam 2:19 Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!(Creole-HT) ======= Lamentations 2:20 ============ Lam 2:20 Behold, O LORD, and consider to whom thou hast done this. Shall the women eat their fruit, and children of a span long? shall the priest and the prophet be slain in the sanctuary of the Lord?(KJV-1611) Lam 2:20 Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:21 ============ Lam 2:21 The young and the old lie on the ground in the streets: my virgins and my young men are fallen by the sword; thou hast slain them in the day of thine anger; thou hast killed, and not pitied.(KJV-1611) Lam 2:21 Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou fè kòlè a, ou touye moun, ou kraze moun san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Lamentations 2:22 ============ Lam 2:22 Thou hast called as in a solemn day my terrors round about, so that in the day of the LORD's anger none escaped nor remained: those that I have swaddled and brought up hath mine enemy consumed.(KJV-1611) Lam 2:22 Ou fè moun k'ap fè m' pè yo soti toupatou pou yo vin danse, fè fèt sou do m'. Lè Seyè a move, pesonn pa ka chape, tout moun gen pou mouri. Lènmi m' yo touye ata timoun mwen te renmen yo, timoun mwen te elve yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:1 ============ Lam 3:1 I AM the man that hath seen affliction by the rod of his wrath.(KJV-1611) Lam 3:1 Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:2 ============ Lam 3:2 He hath led me, and brought me into darkness, but not into light.(KJV-1611) Lam 3:2 Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:3 ============ Lam 3:3 Surely against me is he turned; he turneth his hand against me all the day.(KJV-1611) Lam 3:3 Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:4 ============ Lam 3:4 My flesh and my skin hath he made old; he hath broken my bones.(KJV-1611) Lam 3:4 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:5 ============ Lam 3:5 He hath builded against me, and compassed me with gall and travail.(KJV-1611) Lam 3:5 Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:6 ============ Lam 3:6 He hath set me in dark places, as they that be dead of old.(KJV-1611) Lam 3:6 Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:7 ============ Lam 3:7 He hath hedged me about, that I cannot get out: he hath made my chain heavy.(KJV-1611) Lam 3:7 Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:8 ============ Lam 3:8 Also when I cry and shout, he shutteth out my prayer.(KJV-1611) Lam 3:8 Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:9 ============ Lam 3:9 He hath inclosed my ways with hewn stone, he hath made my paths crooked.(KJV-1611) Lam 3:9 Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:10 ============ Lam 3:10 He was unto me as a bear lying in wait, and as a lion in secret places.(KJV-1611) Lam 3:10 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:11 ============ Lam 3:11 He hath turned aside my ways, and pulled me in pieces: he hath made me desolate.(KJV-1611) Lam 3:11 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:12 ============ Lam 3:12 He hath bent his bow, and set me as a mark for the arrow.(KJV-1611) Lam 3:12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:13 ============ Lam 3:13 He hath caused the arrows of his quiver to enter into my reins.(KJV-1611) Lam 3:13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:14 ============ Lam 3:14 I was a derision to all my people; and their song all the day.(KJV-1611) Lam 3:14 Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:15 ============ Lam 3:15 He hath filled me with bitterness, he hath made me drunken with wormwood.(KJV-1611) Lam 3:15 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:16 ============ Lam 3:16 He hath also broken my teeth with gravel stones, he hath covered me with ashes.(KJV-1611) Lam 3:16 Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:17 ============ Lam 3:17 And thou hast removed my soul far off from peace: I forgat prosperity.(KJV-1611) Lam 3:17 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:18 ============ Lam 3:18 And I said, My strength and my hope is perished from the LORD:(KJV-1611) Lam 3:18 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:19 ============ Lam 3:19 Remembering mine affliction and my misery, the wormwood and the gall.(KJV-1611) Lam 3:19 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:20 ============ Lam 3:20 My soul hath them still in remembrance, and is humbled in me.(KJV-1611) Lam 3:20 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache(Creole-HT) ======= Lamentations 3:21 ============ Lam 3:21 This I recall to my mind, therefore have I hope.(KJV-1611) Lam 3:21 Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:22 ============ Lam 3:22 It is of the LORD's mercies that we are not consumed, because his compassions fail not.(KJV-1611) Lam 3:22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:23 ============ Lam 3:23 They are new every morning: great is thy faithfulness.(KJV-1611) Lam 3:23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:24 ============ Lam 3:24 The LORD is my portion, saith my soul; therefore will I hope in him.(KJV-1611) Lam 3:24 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:25 ============ Lam 3:25 The LORD is good unto them that wait for him, to the soul that seeketh him.(KJV-1611) Lam 3:25 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:26 ============ Lam 3:26 It is good that a man should both hope and quietly wait for the salvation of the LORD.(KJV-1611) Lam 3:26 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:27 ============ Lam 3:27 It is good for a man that he bear the yoke of his youth.(KJV-1611) Lam 3:27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:28 ============ Lam 3:28 He sitteth alone and keepeth silence, because he hath borne it upon him.(KJV-1611) Lam 3:28 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:29 ============ Lam 3:29 He putteth his mouth in the dust; if so be there may be hope.(KJV-1611) Lam 3:29 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:30 ============ Lam 3:30 He giveth his cheek to him that smiteth him: he is filled full with reproach.(KJV-1611) Lam 3:30 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:31 ============ Lam 3:31 For the LORD will not cast off for ever:(KJV-1611) Lam 3:31 Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:32 ============ Lam 3:32 But though he cause grief, yet will he have compassion according to the multitude of his mercies.(KJV-1611) Lam 3:32 Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:33 ============ Lam 3:33 For he doth not afflict willingly nor grieve the children of men.(KJV-1611) Lam 3:33 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:34 ============ Lam 3:34 To crush under his feet all the prisoners of the earth.(KJV-1611) Lam 3:34 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton,(Creole-HT) ======= Lamentations 3:35 ============ Lam 3:35 To turn aside the right of a man before the face of the most High,(KJV-1611) Lam 3:35 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,(Creole-HT) ======= Lamentations 3:36 ============ Lam 3:36 To subvert a man in his cause, the LORD approveth not.(KJV-1611) Lam 3:36 lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:37 ============ Lam 3:37 Who is he that saith, and it cometh to pass, when the Lord commandeth it not?(KJV-1611) Lam 3:37 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:38 ============ Lam 3:38 Out of the mouth of the most High proceedeth not evil and good?(KJV-1611) Lam 3:38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:39 ============ Lam 3:39 Wherefore doth a living man complain, a man for the punishment of his sins?(KJV-1611) Lam 3:39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:40 ============ Lam 3:40 Let us search and try our ways, and turn again to the LORD.(KJV-1611) Lam 3:40 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:41 ============ Lam 3:41 Let us lift up our heart with our hands unto God in the heavens.(KJV-1611) Lam 3:41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:42 ============ Lam 3:42 We have transgressed and have rebelled: thou hast not pardoned.(KJV-1611) Lam 3:42 Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:43 ============ Lam 3:43 Thou hast covered with anger, and persecuted us: thou hast slain, thou hast not pitied.(KJV-1611) Lam 3:43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:44 ============ Lam 3:44 Thou hast covered thyself with a cloud, that our prayer should not pass through.(KJV-1611) Lam 3:44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:45 ============ Lam 3:45 Thou hast made us as the offscouring and refuse in the midst of the people.(KJV-1611) Lam 3:45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:46 ============ Lam 3:46 All our enemies have opened their mouths against us.(KJV-1611) Lam 3:46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:47 ============ Lam 3:47 Fear and a snare is come upon us, desolation and destruction.(KJV-1611) Lam 3:47 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:48 ============ Lam 3:48 Mine eye runneth down with rivers of water for the destruction of the daughter of my people.(KJV-1611) Lam 3:48 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:49 ============ Lam 3:49 Mine eye trickleth down, and ceaseth not, without any intermission.(KJV-1611) Lam 3:49 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,(Creole-HT) ======= Lamentations 3:50 ============ Lam 3:50 Till the LORD look down, and behold from heaven.(KJV-1611) Lam 3:50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:51 ============ Lam 3:51 Mine eye affecteth mine heart because of all the daughters of my city.(KJV-1611) Lam 3:51 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:52 ============ Lam 3:52 Mine enemies chased me sore, like a bird, without cause.(KJV-1611) Lam 3:52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:53 ============ Lam 3:53 They have cut off my life in the dungeon, and cast a stone upon me.(KJV-1611) Lam 3:53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:54 ============ Lam 3:54 Waters flowed over mine head; then I said, I am cut off.(KJV-1611) Lam 3:54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:55 ============ Lam 3:55 I called upon thy name, O LORD, out of the low dungeon.(KJV-1611) Lam 3:55 Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:56 ============ Lam 3:56 Thou hast heard my voice: hide not thine ear at my breathing, at my cry.(KJV-1611) Lam 3:56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:57 ============ Lam 3:57 Thou drewest near in the day that I called upon thee: thou saidst, Fear not.(KJV-1611) Lam 3:57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:58 ============ Lam 3:58 O LORD, thou hast pleaded the causes of my soul; thou hast redeemed my life.(KJV-1611) Lam 3:58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:59 ============ Lam 3:59 O LORD, thou hast seen my wrong: judge thou my cause.(KJV-1611) Lam 3:59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:60 ============ Lam 3:60 Thou hast seen all their vengeance and all their imaginations against me.(KJV-1611) Lam 3:60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:61 ============ Lam 3:61 Thou hast heard their reproach, O LORD, and all their imaginations against me;(KJV-1611) Lam 3:61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:62 ============ Lam 3:62 The lips of those that rose up against me, and their device against me all the day.(KJV-1611) Lam 3:62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:63 ============ Lam 3:63 Behold their sitting down, and their rising up; I am their musick.(KJV-1611) Lam 3:63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:64 ============ Lam 3:64 Render unto them a recompence, O LORD, according to the work of their hands.(KJV-1611) Lam 3:64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Lamentations 3:65 ============ Lam 3:65 Give them sorrow of heart, thy curse unto them.(KJV-1611) Lam 3:65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!(Creole-HT) ======= Lamentations 3:66 ============ Lam 3:66 Persecute and destroy them in anger from under the heavens of the LORD.(KJV-1611) Lam 3:66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:1 ============ Lam 4:1 How is the gold become dim! how is the most fine gold changed! the stones of the sanctuary are poured out in the top of every street.(KJV-1611) Lam 4:1 Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:2 ============ Lam 4:2 The precious sons of Zion, comparable to fine gold, how are they esteemed as earthen pitchers, the work of the hands of the potter!(KJV-1611) Lam 4:2 Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:3 ============ Lam 4:3 Even the sea monsters draw out the breast, they give suck to their young ones: the daughter of my people is become cruel, like the ostriches in the wilderness.(KJV-1611) Lam 4:3 Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:4 ============ Lam 4:4 The tongue of the sucking child cleaveth to the roof of his mouth for thirst: the young children ask bread, and no man breaketh it unto them.(KJV-1611) Lam 4:4 Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:5 ============ Lam 4:5 They that did feed delicately are desolate in the streets: they that were brought up in scarlet embrace dunghills.(KJV-1611) Lam 4:5 Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:6 ============ Lam 4:6 For the punishment of the iniquity of the daughter of my people is greater than the punishment of the sin of Sodom, that was overthrown as in a moment, and no hands stayed on her.(KJV-1611) Lam 4:6 Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:7 ============ Lam 4:7 Her Nazarites were purer than snow, they were whiter than milk, they were more ruddy in body than rubies, their polishing was of sapphire:(KJV-1611) Lam 4:7 Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:8 ============ Lam 4:8 Their visage is blacker than a coal; they are not known in the streets: their skin cleaveth to their bones; it is withered, it is become like a stick.(KJV-1611) Lam 4:8 Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:9 ============ Lam 4:9 They that be slain with the sword are better than they that be slain with hunger: for these pine away, stricken through for want of the fruits of the field.(KJV-1611) Lam 4:9 Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:10 ============ Lam 4:10 The hands of the pitiful women have sodden their own children: they were their meat in the destruction of the daughter of my people.(KJV-1611) Lam 4:10 Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:11 ============ Lam 4:11 The LORD hath accomplished his fury; he hath poured out his fierce anger, and hath kindled a fire in Zion, and it hath devoured the foundations thereof.(KJV-1611) Lam 4:11 Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:12 ============ Lam 4:12 The kings of the earth, and all the inhabitants of the world, would not have believed that the adversary and the enemy should have entered into the gates of Jerusalem.(KJV-1611) Lam 4:12 Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:13 ============ Lam 4:13 For the sins of her prophets, and the iniquities of her priests, that have shed the blood of the just in the midst of her,(KJV-1611) Lam 4:13 Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:14 ============ Lam 4:14 They have wandered as blind men in the streets, they have polluted themselves with blood, so that men could not touch their garments.(KJV-1611) Lam 4:14 Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:15 ============ Lam 4:15 They cried unto them, Depart ye; it is unclean; depart, depart, touch not: when they fled away and wandered, they said among the heathen, They shall no more sojourn there.(KJV-1611) Lam 4:15 Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:16 ============ Lam 4:16 The anger of the LORD hath divided them; he will no more regard them: they respected not the persons of the priests, they favoured not the elders.(KJV-1611) Lam 4:16 Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:17 ============ Lam 4:17 As for us, our eyes as yet failed for our vain help: in our watching we have watched for a nation that could not save us.(KJV-1611) Lam 4:17 Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:18 ============ Lam 4:18 They hunt our steps, that we cannot go in our streets: our end is near, our days are fulfilled; for our end is come.(KJV-1611) Lam 4:18 Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:19 ============ Lam 4:19 Our persecutors are swifter than the eagles of the heaven: they pursued us upon the mountains, they laid wait for us in the wilderness.(KJV-1611) Lam 4:19 Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:20 ============ Lam 4:20 The breath of our nostrils, the anointed of the LORD, was taken in their pits, of whom we said, Under his shadow we shall live among the heathen.(KJV-1611) Lam 4:20 Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!(Creole-HT) ======= Lamentations 4:21 ============ Lam 4:21 Rejoice and be glad, O daughter of Edom, that dwellest in the land of Uz; the cup also shall pass through unto thee: thou shalt be drunken, and shalt make thyself naked.(KJV-1611) Lam 4:21 Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.(Creole-HT) ======= Lamentations 4:22 ============ Lam 4:22 The punishment of thine iniquity is accomplished, O daughter of Zion; he will no more carry thee away into captivity: he will visit thine iniquity, O daughter of Edom; he will discover thy sins.(KJV-1611) Lam 4:22 Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:1 ============ Lam 5:1 Remember, O LORD, what is come upon us: consider, and behold our reproach.(KJV-1611) Lam 5:1 Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!(Creole-HT) ======= Lamentations 5:2 ============ Lam 5:2 Our inheritance is turned to strangers, our houses to aliens.(KJV-1611) Lam 5:2 Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:3 ============ Lam 5:3 We are orphans and fatherless, our mothers are as widows.(KJV-1611) Lam 5:3 Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:4 ============ Lam 5:4 We have drunken our water for money; our wood is sold unto us.(KJV-1611) Lam 5:4 Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:5 ============ Lam 5:5 Our necks are under persecution: we labour, and have no rest.(KJV-1611) Lam 5:5 N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:6 ============ Lam 5:6 We have given the hand to the Egyptians, and to the Assyrians, to be satisfied with bread.(KJV-1611) Lam 5:6 Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:7 ============ Lam 5:7 Our fathers have sinned, and are not; and we have borne their iniquities.(KJV-1611) Lam 5:7 Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:8 ============ Lam 5:8 Servants have ruled over us: there is none that doth deliver us out of their hand.(KJV-1611) Lam 5:8 Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:9 ============ Lam 5:9 We gat our bread with the peril of our lives because of the sword of the wilderness.(KJV-1611) Lam 5:9 Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:10 ============ Lam 5:10 Our skin was black like an oven because of the terrible famine.(KJV-1611) Lam 5:10 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:11 ============ Lam 5:11 They ravished the women in Zion, and the maids in the cities of Judah.(KJV-1611) Lam 5:11 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:12 ============ Lam 5:12 Princes are hanged up by their hand: the faces of elders were not honoured.(KJV-1611) Lam 5:12 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:13 ============ Lam 5:13 They took the young men to grind, and the children fell under the wood.(KJV-1611) Lam 5:13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:14 ============ Lam 5:14 The elders have ceased from the gate, the young men from their musick.(KJV-1611) Lam 5:14 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:15 ============ Lam 5:15 The joy of our heart is ceased; our dance is turned into mourning.(KJV-1611) Lam 5:15 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!(Creole-HT) ======= Lamentations 5:16 ============ Lam 5:16 The crown is fallen from our head: woe unto us, that we have sinned!(KJV-1611) Lam 5:16 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:17 ============ Lam 5:17 For this our heart is faint; for these things our eyes are dim.(KJV-1611) Lam 5:17 Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,(Creole-HT) ======= Lamentations 5:18 ============ Lam 5:18 Because of the mountain of Zion, which is desolate, the foxes walk upon it.(KJV-1611) Lam 5:18 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:19 ============ Lam 5:19 Thou, O LORD, remainest for ever; thy throne from generation to generation.(KJV-1611) Lam 5:19 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Lamentations 5:20 ============ Lam 5:20 Wherefore dost thou forget us for ever, and forsake us so long time?(KJV-1611) Lam 5:20 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!(Creole-HT) ======= Lamentations 5:21 ============ Lam 5:21 Turn thou us unto thee, O LORD, and we shall be turned; renew our days as of old.(KJV-1611) Lam 5:21 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!(Creole-HT) ======= Lamentations 5:22 ============ Lam 5:22 But thou hast utterly rejected us; thou art very wroth against us.(KJV-1611) Lam 5:22 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:1 ============ Eze 1:1 Now it came to pass in the thirtieth year, in the fourth month, in the fifth day of the month, as I was among the captives by the river of Chebar, that the heavens were opened, and I saw visions of God.(KJV-1611) Eze 1:1 Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m', mwen wè Bondye nan yon vizyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:2 ============ Eze 1:2 In the fifth day of the month, which was the fifth year of king Jehoiachin's captivity,(KJV-1611) Eze 1:2 Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:3 ============ Eze 1:3 The word of the LORD came expressly unto Ezekiel the priest, the son of Buzi, in the land of the Chaldeans by the river Chebar; and the hand of the LORD was there upon him.(KJV-1611) Eze 1:3 Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:4 ============ Eze 1:4 And I looked, and, behold, a whirlwind came out of the north, a great cloud, and a fire infolding itself, and a brightness was about it, and out of the midst thereof as the colour of amber, out of the midst of the fire.(KJV-1611) Eze 1:4 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:5 ============ Eze 1:5 Also out of the midst thereof came the likeness of four living creatures. And this was their appearance; they had the likeness of a man.(KJV-1611) Eze 1:5 Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:6 ============ Eze 1:6 And every one had four faces, and every one had four wings.(KJV-1611) Eze 1:6 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:7 ============ Eze 1:7 And their feet were straight feet; and the sole of their feet was like the sole of a calf's foot: and they sparkled like the colour of burnished brass.(KJV-1611) Eze 1:7 Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:8 ============ Eze 1:8 And they had the hands of a man under their wings on their four sides; and they four had their faces and their wings.(KJV-1611) Eze 1:8 Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:9 ============ Eze 1:9 Their wings were joined one to another; they turned not when they went; they went every one straight forward.(KJV-1611) Eze 1:9 De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:10 ============ Eze 1:10 As for the likeness of their faces, they four had the face of a man, and the face of a lion, on the right side: and they four had the face of an ox on the left side; they four also had the face of an eagle.(KJV-1611) Eze 1:10 Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:11 ============ Eze 1:11 Thus were their faces: and their wings were stretched upward; two wings of every one were joined one to another, and two covered their bodies.(KJV-1611) Eze 1:11 Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:12 ============ Eze 1:12 And they went every one straight forward: whither the spirit was to go, they went; and they turned not when they went.(KJV-1611) Eze 1:12 Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:13 ============ Eze 1:13 As for the likeness of the living creatures, their appearance was like burning coals of fire, and like the appearance of lamps: it went up and down among the living creatures; and the fire was bright, and out of the fire went forth lightning.(KJV-1611) Eze 1:13 Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:14 ============ Eze 1:14 And the living creatures ran and returned as the appearance of a flash of lightning.(KJV-1611) Eze 1:14 Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:15 ============ Eze 1:15 Now as I beheld the living creatures, behold one wheel upon the earth by the living creatures, with his four faces.(KJV-1611) Eze 1:15 Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:16 ============ Eze 1:16 The appearance of the wheels and their work was like unto the colour of a beryl: and they four had one likeness: and their appearance and their work was as it were a wheel in the middle of a wheel.(KJV-1611) Eze 1:16 Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo,(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:17 ============ Eze 1:17 When they went, they went upon their four sides: and they turned not when they went.(KJV-1611) Eze 1:17 paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:18 ============ Eze 1:18 As for their rings, they were so high that they were dreadful; and their rings were full of eyes round about them four.(KJV-1611) Eze 1:18 Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:19 ============ Eze 1:19 And when the living creatures went, the wheels went by them: and when the living creatures were lifted up from the earth, the wheels were lifted up.(KJV-1611) Eze 1:19 Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:20 ============ Eze 1:20 Whithersoever the spirit was to go, they went, thither was their spirit to go; and the wheels were lifted up over against them: for the spirit of the living creature was in the wheels.(KJV-1611) Eze 1:20 Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:21 ============ Eze 1:21 When those went, these went; and when those stood, these stood; and when those were lifted up from the earth, the wheels were lifted up over against them: for the spirit of the living creature was in the wheels.(KJV-1611) Eze 1:21 Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:22 ============ Eze 1:22 And the likeness of the firmament upon the heads of the living creature was as the colour of the terrible crystal, stretched forth over their heads above.(KJV-1611) Eze 1:22 Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:23 ============ Eze 1:23 And under the firmament were their wings straight, the one toward the other: every one had two, which covered on this side, and every one had two, which covered on that side, their bodies.(KJV-1611) Eze 1:23 Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:24 ============ Eze 1:24 And when they went, I heard the noise of their wings, like the noise of great waters, as the voice of the Almighty, the voice of speech, as the noise of an host: when they stood, they let down their wings.(KJV-1611) Eze 1:24 Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:25 ============ Eze 1:25 And there was a voice from the firmament that was over their heads, when they stood, and had let down their wings.(KJV-1611) Eze 1:25 Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:26 ============ Eze 1:26 And above the firmament that was over their heads was the likeness of a throne, as the appearance of a sapphire stone: and upon the likeness of the throne was the likeness as the appearance of a man above upon it.(KJV-1611) Eze 1:26 Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:27 ============ Eze 1:27 And I saw as the colour of amber, as the appearance of fire round about within it, from the appearance of his loins even upward, and from the appearance of his loins even downward, I saw as it were the appearance of fire, and it had brightness round about.(KJV-1611) Eze 1:27 Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 1:28 ============ Eze 1:28 As the appearance of the bow that is in the cloud in the day of rain, so was the appearance of the brightness round about. This was the appearance of the likeness of the glory of the LORD. And when I saw it, I fell upon my face, and I heard a voice of one that spake.(KJV-1611) Eze 1:28 Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:1 ============ Eze 2:1 And he said unto me, Son of man, stand upon thy feet, and I will speak unto thee.(KJV-1611) Eze 2:1 Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:2 ============ Eze 2:2 And the spirit entered into me when he spake unto me, and set me upon my feet, that I heard him that spake unto me.(KJV-1611) Eze 2:2 Antan l'ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m' kanpe sou de pye m'. Epi m' tande vwa a ki pran pale ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:3 ============ Eze 2:3 And he said unto me, Son of man, I send thee to the children of Israel, to a rebellious nation that hath rebelled against me: they and their fathers have transgressed against me, even unto this very day.(KJV-1611) Eze 2:3 Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:4 ============ Eze 2:4 For they are impudent children and stiffhearted. I do send thee unto them; and thou shalt say unto them, Thus saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 2:4 Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:5 ============ Eze 2:5 And they, whether they will hear, or whether they will forbear, (for they are a rebellious house,) yet shall know that there hath been a prophet among them.(KJV-1611) Eze 2:5 Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:6 ============ Eze 2:6 And thou, son of man, be not afraid of them, neither be afraid of their words, though briers and thorns be with thee, and thou dost dwell among scorpions: be not afraid of their words, nor be dismayed at their looks, though they be a rebellious house.(KJV-1611) Eze 2:6 Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:7 ============ Eze 2:7 And thou shalt speak my words unto them, whether they will hear, or whether they will forbear: for they are most rebellious.(KJV-1611) Eze 2:7 Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:8 ============ Eze 2:8 But thou, son of man, hear what I say unto thee; Be not thou rebellious like that rebellious house: open thy mouth, and eat that I give thee.(KJV-1611) Eze 2:8 Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:9 ============ Eze 2:9 And when I looked, behold, an hand was sent unto me; and, lo, a roll of a book was therein;(KJV-1611) Eze 2:9 M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 2:10 ============ Eze 2:10 And he spread it before me; and it was written within and without: and there was written therein lamentations, and mourning, and woe.(KJV-1611) Eze 2:10 Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:1 ============ Eze 3:1 Moreover he said unto me, Son of man, eat that thou findest; eat this roll, and go speak unto the house of Israel.(KJV-1611) Eze 3:1 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:2 ============ Eze 3:2 So I opened my mouth, and he caused me to eat that roll.(KJV-1611) Eze 3:2 Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:3 ============ Eze 3:3 And he said unto me, Son of man, cause thy belly to eat, and fill thy bowels with this roll that I give thee. Then did I eat it; and it was in my mouth as honey for sweetness.(KJV-1611) Eze 3:3 Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:4 ============ Eze 3:4 And he said unto me, Son of man, go, get thee unto the house of Israel, and speak with my words unto them.(KJV-1611) Eze 3:4 Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:5 ============ Eze 3:5 For thou art not sent to a people of a strange speech and of an hard language, but to the house of Israel;(KJV-1611) Eze 3:5 Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:6 ============ Eze 3:6 Not to many people of a strange speech and of an hard language, whose words thou canst not understand. Surely, had I sent thee to them, they would have hearkened unto thee.(KJV-1611) Eze 3:6 Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:7 ============ Eze 3:7 But the house of Israel will not hearken unto thee; for they will not hearken unto me: for all the house of Israel are impudent and hardhearted.(KJV-1611) Eze 3:7 Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:8 ============ Eze 3:8 Behold, I have made thy face strong against their faces, and thy forehead strong against their foreheads.(KJV-1611) Eze 3:8 Koulye a, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:9 ============ Eze 3:9 As an adamant harder than flint have I made thy forehead: fear them not, neither be dismayed at their looks, though they be a rebellious house.(KJV-1611) Eze 3:9 M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:10 ============ Eze 3:10 Moreover he said unto me, Son of man, all my words that I shall speak unto thee receive in thine heart, and hear with thine ears.(KJV-1611) Eze 3:10 Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:11 ============ Eze 3:11 And go, get thee to them of the captivity, unto the children of thy people, and speak unto them, and tell them, Thus saith the Lord GOD; whether they will hear, or whether they will forbear.(KJV-1611) Eze 3:11 Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:12 ============ Eze 3:12 Then the spirit took me up, and I heard behind me a voice of a great rushing, saying, Blessed be the glory of the LORD from his place.(KJV-1611) Eze 3:12 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:13 ============ Eze 3:13 I heard also the noise of the wings of the living creatures that touched one another, and the noise of the wheels over against them, and a noise of a great rushing.(KJV-1611) Eze 3:13 Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:14 ============ Eze 3:14 So the spirit lifted me up, and took me away, and I went in bitterness, in the heat of my spirit; but the hand of the LORD was strong upon me.(KJV-1611) Eze 3:14 Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:15 ============ Eze 3:15 Then I came to them of the captivity at Telabib, that dwelt by the river of Chebar, and I sat where they sat, and remained there astonished among them seven days.(KJV-1611) Eze 3:15 Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:16 ============ Eze 3:16 And it came to pass at the end of seven days, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 3:16 Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:17 ============ Eze 3:17 Son of man, I have made thee a watchman unto the house of Israel: therefore hear the word at my mouth, and give them warning from me.(KJV-1611) Eze 3:17 -Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:18 ============ Eze 3:18 When I say unto the wicked, Thou shalt surely die; and thou givest him not warning, nor speakest to warn the wicked from his wicked way, to save his life; the same wicked man shall die in his iniquity; but his blood will I require at thine hand.(KJV-1611) Eze 3:18 Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:19 ============ Eze 3:19 Yet if thou warn the wicked, and he turn not from his wickedness, nor from his wicked way, he shall die in his iniquity; but thou hast delivered thy soul.(KJV-1611) Eze 3:19 Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:20 ============ Eze 3:20 Again, When a righteous man doth turn from his righteousness, and commit iniquity, and I lay a stumbling-block before him, he shall die: because thou hast not given him warning, he shall die in his sin, and his righteousness which he hath done shall not be remembered; but his blood will I require at thine hand.(KJV-1611) Eze 3:20 Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:21 ============ Eze 3:21 Nevertheless if thou warn the righteous man, that the righteous sin not, and he doth not sin, he shall surely live, because he is warned; also thou hast delivered thy soul.(KJV-1611) Eze 3:21 Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:22 ============ Eze 3:22 And the hand of the LORD was there upon me; and he said unto me, Arise, go forth into the plain, and I will there talk with thee.(KJV-1611) Eze 3:22 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:23 ============ Eze 3:23 Then I arose, and went forth into the plain: and, behold, the glory of the LORD stood there, as the glory which I saw by the river of Chebar: and I fell on my face.(KJV-1611) Eze 3:23 Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:24 ============ Eze 3:24 Then the spirit entered into me, and set me upon my feet, and spake with me, and said unto me, Go, shut thyself within thine house.(KJV-1611) Eze 3:24 Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m' kanpe sou de pye m'. Li pale avè m', li di m' konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:25 ============ Eze 3:25 But thou, O son of man, behold, they shall put bands upon thee, and shall bind thee with them, and thou shalt not go out among them:(KJV-1611) Eze 3:25 Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:26 ============ Eze 3:26 And I will make thy tongue cleave to the roof of thy mouth, that thou shalt be dumb, and shalt not be to them a reprover: for they are a rebellious house.(KJV-1611) Eze 3:26 Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 3:27 ============ Eze 3:27 But when I speak with thee, I will open thy mouth, and thou shalt say unto them, Thus saith the Lord GOD; He that heareth, let him hear; and he that forbeareth, let him forbear: for they are a rebellious house.(KJV-1611) Eze 3:27 Apre sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:1 ============ Eze 4:1 Thou also, son of man, take thee a tile, and lay it before thee, and pourtray upon it the city, even Jerusalem:(KJV-1611) Eze 4:1 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Pran yon brik, mete l' devan ou. Trase desen lavil Jerizalèm sou li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:2 ============ Eze 4:2 And lay siege against it, and build a fort against it, and cast a mount against it; set the camp also against it, and set battering rams against it round about.(KJV-1611) Eze 4:2 Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranblè nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:3 ============ Eze 4:3 Moreover take thou unto thee an iron pan, and set it for a wall of iron between thee and the city: and set thy face against it, and it shall be besieged, and thou shalt lay siege against it. This shall be a sign to the house of Israel.(KJV-1611) Eze 4:3 Pran yon pwelon fè, mete l' kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l'. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:4 ============ Eze 4:4 Lie thou also upon thy left side, and lay the iniquity of the house of Israel upon it: according to the number of the days that thou shalt lie upon it thou shalt bear their iniquity.(KJV-1611) Eze 4:4 Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun pèp Izrayèl yo sou ou. Ou rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:5 ============ Eze 4:5 For I have laid upon thee the years of their iniquity, according to the number of the days, three hundred and ninety days: so shalt thou bear the iniquity of the house of Israel.(KJV-1611) Eze 4:5 Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:6 ============ Eze 4:6 And when thou hast accomplished them, lie again on thy right side, and thou shalt bear the iniquity of the house of Judah forty days: I have appointed thee each day for a year.(KJV-1611) Eze 4:6 Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:7 ============ Eze 4:7 Therefore thou shalt set thy face toward the siege of Jerusalem, and thine arm shall be uncovered, and thou shalt prophesy against it.(KJV-1611) Eze 4:7 Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:8 ============ Eze 4:8 And, behold, I will lay bands upon thee, and thou shalt not turn thee from one side to another, till thou hast ended the days of thy siege.(KJV-1611) Eze 4:8 M'ap mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:9 ============ Eze 4:9 Take thou also unto thee wheat, and barley, and beans, and lentiles, and millet, and fitches, and put them in one vessel, and make thee bread thereof, according to the number of the days that thou shalt lie upon thy side, three hundred and ninety days shalt thou eat thereof.(KJV-1611) Eze 4:9 Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:10 ============ Eze 4:10 And thy meat which thou shalt eat shall be by weight, twenty shekels a day: from time to time shalt thou eat it.(KJV-1611) Eze 4:10 W'a pran yon moso pen ki peze yon demi liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:11 ============ Eze 4:11 Thou shalt drink also water by measure, the sixth part of an hin: from time to time shalt thou drink.(KJV-1611) Eze 4:11 Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:12 ============ Eze 4:12 And thou shalt eat it as barley cakes, and thou shalt bake it with dung that cometh out of man, in their sight.(KJV-1611) Eze 4:12 W'a pran okabennen moun, w'a fè dife pou kwit pen pou ou manje a devan tout moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:13 ============ Eze 4:13 And the LORD said, Even thus shall the children of Israel eat their defiled bread among the Gentiles, whither I will drive them.(KJV-1611) Eze 4:13 Seyè a te di ankò: -Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:14 ============ Eze 4:14 Then said I, Ah Lord GOD! behold, my soul hath not been polluted: for from my youth up even till now have I not eaten of that which dieth of itself, or is torn in pieces; neither came there abominable flesh into my mouth.(KJV-1611) Eze 4:14 Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:15 ============ Eze 4:15 Then he said unto me, Lo, I have given thee cow's dung for man's dung, and thou shalt prepare thy bread therewith.(KJV-1611) Eze 4:15 Lè sa a, Bondye di m' konsa: -Dakò. M'ap kite ou pran kaka bèf pito pase okabennen moun. Ou mèt fè dife avè l' pou kwit pen ou lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:16 ============ Eze 4:16 Moreover he said unto me, Son of man, behold, I will break the staff of bread in Jerusalem: and they shall eat bread by weight, and with care; and they shall drink water by measure, and with astonishment:(KJV-1611) Eze 4:16 Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 4:17 ============ Eze 4:17 That they may want bread and water, and be astonied one with another, and consume away for their iniquity.(KJV-1611) Eze 4:17 Yo p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:1 ============ Eze 5:1 And thou, son of man, take thee a sharp knife, take thee a barber's razor, and cause it to pass upon thine head and upon thy beard: then take thee balances to weigh, and divide the hair.(KJV-1611) Eze 5:1 Seyè a di mwen: -Nonm o! Pran yon kouto byen file, tankou razwa kwafè, wete tout bab nan figi ou ak tout cheve nan tèt ou. Lèfini, pran yon balans pou peze cheve ou koupe yo, w'a fè yo fè twa pil menm fòs.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:2 ============ Eze 5:2 Thou shalt burn with fire a third part in the midst of the city, when the days of the siege are fulfilled: and thou shalt take a third part, and smite about it with a knife: and a third part thou shalt scatter in the wind; and I will draw out a sword after them.(KJV-1611) Eze 5:2 Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:3 ============ Eze 5:3 Thou shalt also take thereof a few in number, and bind them in thy skirts.(KJV-1611) Eze 5:3 W'a sere yon ponyen cheve, w'a koud li nan woulèt rad ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:4 ============ Eze 5:4 Then take of them again, and cast them into the midst of the fire, and burn them in the fire; for thereof shall a fire come forth into all the house of Israel.(KJV-1611) Eze 5:4 Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:5 ============ Eze 5:5 Thus saith the Lord GOD; This is Jerusalem: I have set it in the midst of the nations and countries that are round about her.(KJV-1611) Eze 5:5 Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa, di ankò: -Gade lavil Jerizalèm! Mwen te mete l' kanpe nan mitan latè ak tout lòt nasyon yo bò kote l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:6 ============ Eze 5:6 And she hath changed my judgments into wickedness more than the nations, and my statutes more than the countries that are round about her: for they have refused my judgments and my statutes, they have not walked in them.(KJV-1611) Eze 5:6 Men, Jerizalèm revòlte kont kòmandman ak lòd mwen yo. Li fè pi mal pase lòt nasyon ki bò kote l' yo. Moun li yo derefize swiv prensip mwen te ba yo. Yo pa fè sa m' te ba yo lòd fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:7 ============ Eze 5:7 Therefore thus saith the Lord GOD; Because ye multiplied more than the nations that are round about you, and have not walked in my statutes, neither have kept my judgments, neither have done according to the judgments of the nations that are round about you;(KJV-1611) Eze 5:7 Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, di nou: Nou pa swiv lòd mwen yo, nou pa fè sa m' te mande nou fè. Konsa, nou fè pi mal pase moun lòt nasyon ki bò kote nou yo. Nou pa menm swiv lòd moun lòt nasyon yo gen lakay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:8 ============ Eze 5:8 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I, even I, am against thee, and will execute judgments in the midst of thee in the sight of the nations.(KJV-1611) Eze 5:8 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye nan syèl la, di ou: M'ap leve dèyè ou tou, mwen pral pini ou devan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:9 ============ Eze 5:9 And I will do in thee that which I have not done, and whereunto I will not do any more the like, because of all thine abominations.(KJV-1611) Eze 5:9 N'ap fè yon bann bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa m'ap pini lavil Jerizalèm jan mwen poko janm pini l', jan mwen p'ap janm pini l' ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:10 ============ Eze 5:10 Therefore the fathers shall eat the sons in the midst of thee, and the sons shall eat their fathers; and I will execute judgments in thee, and the whole remnant of thee will I scatter into all the winds.(KJV-1611) Eze 5:10 Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:11 ============ Eze 5:11 Wherefore, as I live, saith the Lord GOD; Surely, because thou hast defiled my sanctuary with all thy detestable things, and with all thine abominations, therefore will I also diminish thee; neither shall mine eye spare, neither will I have any pity.(KJV-1611) Eze 5:11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:12 ============ Eze 5:12 A third part of thee shall die with the pestilence, and with famine shall they be consumed in the midst of thee: and a third part shall fall by the sword round about thee; and I will scatter a third part into all the winds, and I will draw out a sword after them.(KJV-1611) Eze 5:12 Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:13 ============ Eze 5:13 Thus shall mine anger be accomplished, and I will cause my fury to rest upon them, and I will be comforted: and they shall know that I the LORD have spoken it in my zeal, when I have accomplished my fury in them.(KJV-1611) Eze 5:13 M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:14 ============ Eze 5:14 Moreover I will make thee waste, and a reproach among the nations that are round about thee, in the sight of all that pass by.(KJV-1611) Eze 5:14 M'ap fè nou tounen yon dezè nan mitan tout lòt peyi yo, yon wont pou moun k'ap pase bò kote nou ye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:15 ============ Eze 5:15 So it shall be a reproach and a taunt, an instruction and an astonishment unto the nations that are round about thee, when I shall execute judgments in thee in anger and in fury and in furious rebukes. I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 5:15 Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:16 ============ Eze 5:16 When I shall send upon them the evil arrows of famine, which shall be for their destruction, and which I will send to destroy you: and I will increase the famine upon you, and will break your staff of bread:(KJV-1611) Eze 5:16 M'ap koupe viv nou, m'ap kite nou mouri grangou. Nou pral santi doulè grangou a tankou si se flèch yo voye sou nou pou touye nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 5:17 ============ Eze 5:17 So will I send upon you famine and evil beasts, and they shall bereave thee: and pestilence and blood shall pass through thee; and I will bring the sword upon thee. I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 5:17 M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Seyè a ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:1 ============ Eze 6:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 6:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:2 ============ Eze 6:2 Son of man, set thy face toward the mountains of Israel, and prophesy against them,(KJV-1611) Eze 6:2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:3 ============ Eze 6:3 And say, Ye mountains of Israel, hear the word of the Lord GOD; Thus saith the Lord GOD to the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys; Behold, I, even I, will bring a sword upon you, and I will destroy your high places.(KJV-1611) Eze 6:3 W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:4 ============ Eze 6:4 And your altars shall be desolate, and your images shall be broken: and I will cast down your slain men before your idols.(KJV-1611) Eze 6:4 Y'ap kraze tout lotèl nou yo, y'ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M'ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:5 ============ Eze 6:5 And I will lay the dead carcases of the children of Israel before their idols; and I will scatter your bones round about your altars.(KJV-1611) Eze 6:5 M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:6 ============ Eze 6:6 In all your dwellingplaces the cities shall be laid waste, and the high places shall be desolate; that your altars may be laid waste and made desolate, and your idols may be broken and cease, and your images may be cut down, and your works may be abolished.(KJV-1611) Eze 6:6 Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:7 ============ Eze 6:7 And the slain shall fall in the midst of you, and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 6:7 Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:8 ============ Eze 6:8 Yet will I leave a remnant, that ye may have some that shall escape the sword among the nations, when ye shall be scattered through the countries.(KJV-1611) Eze 6:8 Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:9 ============ Eze 6:9 And they that escape of you shall remember me among the nations whither they shall be carried captives, because I am broken with their whorish heart, which hath departed from me, and with their eyes, which go a whoring after their idols: and they shall lothe themselves for the evils which they have committed in all their abominations.(KJV-1611) Eze 6:9 Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:10 ============ Eze 6:10 And they shall know that I am the LORD, and that I have not said in vain that I would do this evil unto them.(KJV-1611) Eze 6:10 Y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m' te di yo mwen t'ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t' pale mete la m' t'ap fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:11 ============ Eze 6:11 Thus saith the Lord GOD; Smite with thine hand, and stamp with thy foot, and say, Alas for all the evil abominations of the house of Israel! for they shall fall by the sword, by the famine, and by the pestilence.(KJV-1611) Eze 6:11 Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:12 ============ Eze 6:12 He that is far off shall die of the pestilence; and he that is near shall fall by the sword; and he that remaineth and is besieged shall die by the famine: thus will I accomplish my fury upon them.(KJV-1611) Eze 6:12 Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:13 ============ Eze 6:13 Then shall ye know that I am the LORD, when their slain men shall be among their idols round about their altars, upon every high hill, in all the tops of the mountains, and under every green tree, and under every thick oak, the place where they did offer sweet savour to all their idols.(KJV-1611) Eze 6:13 Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 6:14 ============ Eze 6:14 So will I stretch out my hand upon them, and make the land desolate, yea, more desolate than the wilderness toward Diblath, in all their habitations: and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 6:14 Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:1 ============ Eze 7:1 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 7:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:2 ============ Eze 7:2 Also, thou son of man, thus saith the Lord GOD unto the land of Israel; An end, the end is come upon the four corners of the land.(KJV-1611) Eze 7:2 -Nonm o! Men mesaj mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, mwen bay pou peyi Izrayèl la: Fini! Se fini tout peyi a nèt pral fini.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:3 ============ Eze 7:3 Now is the end come upon thee, and I will send mine anger upon thee, and will judge thee according to thy ways, and will recompense upon thee all thine abominations.(KJV-1611) Eze 7:3 Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:4 ============ Eze 7:4 And mine eye shall not spare thee, neither will I have pity: but I will recompense thy ways upon thee, and thine abominations shall be in the midst of thee: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 7:4 Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:5 ============ Eze 7:5 Thus saith the Lord GOD; An evil, an only evil, behold, is come.(KJV-1611) Eze 7:5 Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:6 ============ Eze 7:6 An end is come, the end is come: it watcheth for thee; behold, it is come.(KJV-1611) Eze 7:6 Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:7 ============ Eze 7:7 The morning is come unto thee, O thou that dwellest in the land: the time is come, the day of trouble is near, and not the sounding again of the mountains.(KJV-1611) Eze 7:7 Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:8 ============ Eze 7:8 Now will I shortly pour out my fury upon thee, and accomplish mine anger upon thee: and I will judge thee according to thy ways, and will recompense thee for all thine abominations.(KJV-1611) Eze 7:8 Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:9 ============ Eze 7:9 And mine eye shall not spare, neither will I have pity: I will recompense thee according to thy ways and thine abominations that are in the midst of thee; and ye shall know that I am the LORD that smiteth.(KJV-1611) Eze 7:9 Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:10 ============ Eze 7:10 Behold the day, behold, it is come: the morning is gone forth; the rod hath blossomed, pride hath budded.(KJV-1611) Eze 7:10 Men jou malè a rive sou nou. Nou pral fini nèt! Baton nan dèyè nou! Lwijanboje yo toupatou!(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:11 ============ Eze 7:11 Violence is risen up into a rod of wickedness: none of them shall remain, nor of their multitude, nor of any of their's: neither shall there be wailing for them.(KJV-1611) Eze 7:11 Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:12 ============ Eze 7:12 The time is come, the day draweth near: let not the buyer rejoice, nor the seller mourn: for wrath is upon all the multitude thereof.(KJV-1611) Eze 7:12 Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:13 ============ Eze 7:13 For the seller shall not return to that which is sold, although they were yet alive: for the vision is touching the whole multitude thereof, which shall not return; neither shall any strengthen himself in the iniquity of his life.(KJV-1611) Eze 7:13 Machann yo ap gen tan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:14 ============ Eze 7:14 They have blown the trumpet, even to make all ready; but none goeth to the battle: for my wrath is upon all the multitude thereof.(KJV-1611) Eze 7:14 Twonpèt la kònen. Tout bagay fin pare! Men, pesonn p'ap leve al goumen paske chatiman Bondye a pral tonbe sou tout moun ki nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:15 ============ Eze 7:15 The sword is without, and the pestilence and the famine within: he that is in the field shall die with the sword; and he that is in the city, famine and pestilence shall devour him.(KJV-1611) Eze 7:15 Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:16 ============ Eze 7:16 But they that escape of them shall escape, and shall be on the mountains like doves of the valleys, all of them mourning, every one for his iniquity.(KJV-1611) Eze 7:16 Gen en ki va chape kò yo al nan mòn, tankou ranmye k'ap vole kite fon yo. Yo pral plenn sò yo pou tou sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:17 ============ Eze 7:17 All hands shall be feeble, and all knees shall be weak as water.(KJV-1611) Eze 7:17 Bra tout moun pral san fòs, yo p'ap ka kanpe sou janm yo tèlman y'ap pè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:18 ============ Eze 7:18 They shall also gird themselves with sackcloth, and horror shall cover them; and shame shall be upon all faces, and baldness upon all their heads.(KJV-1611) Eze 7:18 Yo pral mete rad sak sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont, y'ap kale tèt yo nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:19 ============ Eze 7:19 They shall cast their silver in the streets, and their gold shall be removed: their silver and their gold shall not be able to deliver them in the day of the wrath of the LORD: they shall not satisfy their souls, neither fill their bowels: because it is the stumblingblock of their iniquity.(KJV-1611) Eze 7:19 Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:20 ============ Eze 7:20 As for the beauty of his ornament, he set it in majesty: but they made the images of their abominations and of their detestable things therein: therefore have I set it far from them.(KJV-1611) Eze 7:20 Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:21 ============ Eze 7:21 And I will give it into the hands of the strangers for a prey, and to the wicked of the earth for a spoil; and they shall pollute it.(KJV-1611) Eze 7:21 M'ap lage tout richès yo nan men moun lòt nasyon k'ap piye yo. Yon bann sanzave ap vòlò tout richès yo, y'ap trennen yo nan labou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:22 ============ Eze 7:22 My face will I turn also from them, and they shall pollute my secret place: for the robbers shall enter into it, and defile it.(KJV-1611) Eze 7:22 M'ap fèmen je m' pou m' pa wè lè y'ap trennen trezò tanp lan nan labou, lè vòlò va antre nan tanp lan pou yo derespekte l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:23 ============ Eze 7:23 Make a chain: for the land is full of bloody crimes, and the city is full of violence.(KJV-1611) Eze 7:23 Tout bagay pral tèt anba. Peyi a plen ansasen k'ap touye moun. Nan lavil la, moun ap kraze brize.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:24 ============ Eze 7:24 Wherefore I will bring the worst of the heathen, and they shall possess their houses: I will also make the pomp of the strong to cease; and their holy places shall be defiled.(KJV-1611) Eze 7:24 M'ap fè pèp ki pi mechan sou latè a mache sou yo, y'ap pran tout kay yo pou yo. M'ap kraze lògèy lwijanboje yo, lè moun sa yo va derespekte tout kote yo te konn fè sèvis pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:25 ============ Eze 7:25 Destruction cometh; and they shall seek peace, and there shall be none.(KJV-1611) Eze 7:25 Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:26 ============ Eze 7:26 Mischief shall come upon mischief, and rumour shall be upon rumour; then shall they seek a vision of the prophet; but the law shall perish from the priest, and counsel from the ancients.(KJV-1611) Eze 7:26 Malè ap tonbe sou yo yonn apre lòt. Yon seri move nouvèl ap vini yonn dèyè lòt. Yo pral mande pwofèt la ki vizyon li fè pou yo. Prèt yo p'ap gen anyen pou moutre pèp la. Granmoun yo p'ap gen konsèy pou ba yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 7:27 ============ Eze 7:27 The king shall mourn, and the prince shall be clothed with desolation, and the hands of the people of the land shall be troubled: I will do unto them after their way, and according to their deserts will I judge them; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 7:27 Wa a pral nan gwo lapenn. Pitit wa a pral rete sezi, tout pèp la pral tranble. M'ap pini yo pou sa yo fè, m'ap fè yo menm sa yo te fè lòt moun. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:1 ============ Eze 8:1 And it came to pass in the sixth year, in the sixth month, in the fifth day of the month, as I sat in mine house, and the elders of Judah sat before me, that the hand of the Lord GOD fell there upon me.(KJV-1611) Eze 8:1 Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:2 ============ Eze 8:2 Then I beheld, and lo a likeness as the appearance of fire: from the appearance of his loins even downward, fire; and from his loins even upward, as the appearance of brightness, as the colour of amber.(KJV-1611) Eze 8:2 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:3 ============ Eze 8:3 And he put forth the form of an hand, and took me by a lock of mine head; and the spirit lifted me up between the earth and the heaven, and brought me in the visions of God to Jerusalem, to the door of the inner gate that looketh toward the north; where was the seat of the image of jealousy, which provoketh to jealousy.(KJV-1611) Eze 8:3 Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:4 ============ Eze 8:4 And, behold, the glory of the God of Israel was there, according to the vision that I saw in the plain.(KJV-1611) Eze 8:4 La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:5 ============ Eze 8:5 Then said he unto me, Son of man, lift up thine eyes now the way toward the north. So I lifted up mine eyes the way toward the north, and behold northward at the gate of the altar this image of jealousy in the entry.(KJV-1611) Eze 8:5 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:6 ============ Eze 8:6 He said furthermore unto me, Son of man, seest thou what they do? even the great abominations that the house of Israel committeth here, that I should go far off from my sanctuary? but turn thee yet again, and thou shalt see greater abominations.(KJV-1611) Eze 8:6 Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:7 ============ Eze 8:7 And he brought me to the door of the court; and when I looked, behold a hole in the wall.(KJV-1611) Eze 8:7 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:8 ============ Eze 8:8 Then said he unto me, Son of man, dig now in the wall: and when I had digged in the wall, behold a door.(KJV-1611) Eze 8:8 Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:9 ============ Eze 8:9 And he said unto me, Go in, and behold the wicked abominations that they do here.(KJV-1611) Eze 8:9 Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:10 ============ Eze 8:10 So I went in and saw; and behold every form of creeping things, and abominable beasts, and all the idols of the house of Israel, pourtrayed upon the wall round about.(KJV-1611) Eze 8:10 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:11 ============ Eze 8:11 And there stood before them seventy men of the ancients of the house of Israel, and in the midst of them stood Jaazaniah the son of Shaphan, with every man his censer in his hand; and a thick cloud of incense went up.(KJV-1611) Eze 8:11 Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:12 ============ Eze 8:12 Then said he unto me, Son of man, hast thou seen what the ancients of the house of Israel do in the dark, every man in the chambers of his imagery? for they say, the LORD seeth us not; the LORD hath forsaken the earth.(KJV-1611) Eze 8:12 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:13 ============ Eze 8:13 He said also unto me, Turn thee yet again, and thou shalt see greater abominations that they do.(KJV-1611) Eze 8:13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:14 ============ Eze 8:14 Then he brought me to the door of the gate of the LORD's house which was toward the north; and, behold, there sat women weeping for Tammuz.(KJV-1611) Eze 8:14 Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:15 ============ Eze 8:15 Then said he unto me, Hast thou seen this, O son of man? turn thee yet again, and thou shalt see greater abominations than these.(KJV-1611) Eze 8:15 Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:16 ============ Eze 8:16 And he brought me into the inner court of the LORD's house, and, behold, at the door of the temple of the LORD, between the porch and the altar, were about five and twenty men, with their backs toward the temple of the LORD, and their faces toward the east; and they worshipped the sun toward the east.(KJV-1611) Eze 8:16 Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:17 ============ Eze 8:17 Then he said unto me, Hast thou seen this, O son of man? Is it a light thing to the house of Judah that they commit the abominations which they commit here? for they have filled the land with violence, and have returned to provoke me to anger: and, lo, they put the branch to their nose.(KJV-1611) Eze 8:17 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 8:18 ============ Eze 8:18 Therefore will I also deal in fury: mine eye shall not spare, neither will I have pity: and though they cry in mine ears with a loud voice, yet will I not hear them.(KJV-1611) Eze 8:18 Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:1 ============ Eze 9:1 He cried also in mine ears with a loud voice, saying, Cause them that have charge over the city to draw near, even every man with his destroying weapon in his hand.(KJV-1611) Eze 9:1 Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: -Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou!(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:2 ============ Eze 9:2 And, behold, six men came from the way of the higher gate, which lieth toward the north, and every man a slaughter weapon in his hand; and one man among them was clothed with linen, with a writer's inkhorn by his side: and they went in, and stood beside the brasen altar.(KJV-1611) Eze 9:2 Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:3 ============ Eze 9:3 And the glory of the God of Israel was gone up from the cherub, whereupon he was, to the threshold of the house. And he called to the man clothed with linen, which had the writer's inkhorn by his side;(KJV-1611) Eze 9:3 Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:4 ============ Eze 9:4 And the LORD said unto him, Go through the midst of the city, through the midst of Jerusalem, and set a mark upon the foreheads of the men that sigh and that cry for all the abominations that be done in the midst thereof.(KJV-1611) Eze 9:4 Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:5 ============ Eze 9:5 And to the others he said in mine hearing, Go ye after him through the city, and smite: let not your eye spare, neither have ye pity:(KJV-1611) Eze 9:5 Mwen tande li di lòt mesye yo: -Mache dèyè l' nan tout lavil la. Epi touye! Pa gen pitye pou pesonn. Pa kite pesonn chape!(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:6 ============ Eze 9:6 Slay utterly old and young, both maids, and little children, and women: but come not near any man upon whom is the mark; and begin at my sanctuary. Then they began at the ancient men which were before the house.(KJV-1611) Eze 9:6 Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:7 ============ Eze 9:7 And he said unto them, Defile the house, and fill the courts with the slain: go ye forth. And they went forth, and slew in the city.(KJV-1611) Eze 9:7 Bondye di yo: -Derespekte Tanp lan! Plen lakou a kadav. Ale non! Se konsa yo konmanse touye moun nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:8 ============ Eze 9:8 And it came to pass, while they were slaying them, and I was left, that I fell upon my face, and cried, and said, Ah Lord GOD! wilt thou destroy all the residue of Israel in thy pouring out of thy fury upon Jerusalem?(KJV-1611) Eze 9:8 Pandan yo t'ap touye moun yo, mwen te rete pou kont mwen. Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen atè, mwen rele byen fò: -Wouy! Seyè Bondye sèl Mèt la, èske ou pral touye tout rès pèp Izrayèl la, paske nan kòlè ou ou soti pou pini lavil Jerizalèm?(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:9 ============ Eze 9:9 Then said he unto me, The iniquity of the house of Israel and Judah is exceeding great, and the land is full of blood, and the city full of perverseness: for they say, The LORD hath forsaken the earth, and the LORD seeth not.(KJV-1611) Eze 9:9 Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:10 ============ Eze 9:10 And as for me also, mine eye shall not spare, neither will I have pity, but I will recompense their way upon their head.(KJV-1611) Eze 9:10 Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 9:11 ============ Eze 9:11 And, behold, the man clothed with linen, which had the inkhorn by his side, reported the matter, saying, I have done as thou hast commanded me.(KJV-1611) Eze 9:11 Apre sa, nonm ki te gen rad twal fin tou blan sou li a ak poban lank mare nan ren l' lan tounen. Li fè rapò l' bay Seyè a, li di l' konsa: -Mwen fè tou sa ou te ban m' lòd fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:1 ============ Eze 10:1 Then I looked, and, behold, in the firmament that was above the head of the cherubims there appeared over them as it were a sapphire stone, as the appearance of the likeness of a throne.(KJV-1611) Eze 10:1 Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:2 ============ Eze 10:2 And he spake unto the man clothed with linen, and said, Go in between the wheels, even under the cherub, and fill thine hand with coals of fire from between the cherubims, and scatter them over the city. And he went in in my sight.(KJV-1611) Eze 10:2 Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:3 ============ Eze 10:3 Now the cherubims stood on the right side of the house, when the man went in; and the cloud filled the inner court.(KJV-1611) Eze 10:3 Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:4 ============ Eze 10:4 Then the glory of the LORD went up from the cherub, and stood over the threshold of the house; and the house was filled with the cloud, and the court was full of the brightness of the LORD's glory.(KJV-1611) Eze 10:4 Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:5 ============ Eze 10:5 And the sound of the cherubims' wings was heard even to the outer court, as the voice of the Almighty God when he speaketh.(KJV-1611) Eze 10:5 Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:6 ============ Eze 10:6 And it came to pass, that when he had commanded the man clothed with linen, saying, Take fire from between the wheels, from between the cherubims; then he went in, and stood beside the wheels.(KJV-1611) Eze 10:6 Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l' te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:7 ============ Eze 10:7 And one cherub stretched forth his hand from between the cherubims unto the fire that was between the cherubims, and took thereof, and put it into the hands of him that was clothed with linen: who took it, and went out.(KJV-1611) Eze 10:7 Yonn nan bèt vivan yo lonje men l' nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:8 ============ Eze 10:8 And there appeared in the cherubims the form of a man's hand under their wings.(KJV-1611) Eze 10:8 Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:9 ============ Eze 10:9 And when I looked, behold the four wheels by the cherubims, one wheel by one cherub, and another wheel by another cherub: and the appearance of the wheels was as the colour of a beryl stone.(KJV-1611) Eze 10:9 Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:10 ============ Eze 10:10 And as for their appearances, they four had one likeness, as if a wheel had been in the midst of a wheel.(KJV-1611) Eze 10:10 Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:11 ============ Eze 10:11 When they went, they went upon their four sides; they turned not as they went, but to the place whither the head looked they followed it; they turned not as they went.(KJV-1611) Eze 10:11 Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t' bezwen vire.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:12 ============ Eze 10:12 And their whole body, and their backs, and their hands, and their wings, and the wheels, were full of eyes round about, even the wheels that they four had.(KJV-1611) Eze 10:12 Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:13 ============ Eze 10:13 As for the wheels, it was cried unto them in my hearing, O wheel.(KJV-1611) Eze 10:13 Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:14 ============ Eze 10:14 And every one had four faces: the first face was the face of a cherub, and the second face was the face of a man, and the third the face of a lion, and the fourth the face of an eagle.(KJV-1611) Eze 10:14 Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:15 ============ Eze 10:15 And the cherubims were lifted up. This is the living creature that I saw by the river of Chebar.(KJV-1611) Eze 10:15 Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:16 ============ Eze 10:16 And when the cherubims went, the wheels went by them: and when the cherubims lifted up their wings to mount up from the earth, the same wheels also turned not from beside them.(KJV-1611) Eze 10:16 y'ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:17 ============ Eze 10:17 When they stood, these stood; and when they were lifted up, these lifted up themselves also: for the spirit of the living creature was in them.(KJV-1611) Eze 10:17 Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t'ap kontwole wou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:18 ============ Eze 10:18 Then the glory of the LORD departed from off the threshold of the house, and stood over the cherubims.(KJV-1611) Eze 10:18 Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:19 ============ Eze 10:19 And the cherubims lifted up their wings, and mounted up from the earth in my sight: when they went out, the wheels also were beside them, and every one stood at the door of the east gate of the LORD's house; and the glory of the God of Israel was over them above.(KJV-1611) Eze 10:19 Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m'. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y' al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:20 ============ Eze 10:20 This is the living creature that I saw under the God of Israel by the river of Chebar; and I knew that they were the cherubims.(KJV-1611) Eze 10:20 Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:21 ============ Eze 10:21 Every one had four faces apiece, and every one four wings; and the likeness of the hands of a man was under their wings.(KJV-1611) Eze 10:21 Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 10:22 ============ Eze 10:22 And the likeness of their faces was the same faces which I saw by the river of Chebar, their appearances and themselves: they went every one straight forward.(KJV-1611) Eze 10:22 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t'ap mache dwat devan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:1 ============ Eze 11:1 Moreover the spirit lifted me up, and brought me unto the east gate of the LORD's house, which looketh eastward: and behold at the door of the gate five and twenty men; among whom I saw Jaazaniah the son of Azur, and Pelatiah the son of Benaiah, princes of the people.(KJV-1611) Eze 11:1 Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè, li mennen m' bò gwo pòtay tanp lan ki bay sou solèy leve. Toupre pòtay la, mwen wè vennsenk gason. Pami yo te gen de chèf peyi a, Jazanya, pitit gason Azou a, ak Pelatya, pitit gason Benaja a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:2 ============ Eze 11:2 Then said he unto me, Son of man, these are the men that devise mischief, and give wicked counsel in this city:(KJV-1611) Eze 11:2 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Mesye sa yo gen move lide ap travay dèyè tèt yo. Y'ap bay move konsèy nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:3 ============ Eze 11:3 Which say, It is not near; let us build houses: this city is the caldron, and we be the flesh.(KJV-1611) Eze 11:3 Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:4 ============ Eze 11:4 Therefore prophesy against them, prophesy, O son of man.(KJV-1611) Eze 11:4 Se poutèt sa, nonm o! Men mesaj m'ap ba ou pou ou di sou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:5 ============ Eze 11:5 And the Spirit of the LORD fell upon me, and said unto me, Speak; Thus saith the LORD; Thus have ye said, O house of Israel: for I know the things that come into your mind, every one of them.(KJV-1611) Eze 11:5 Lespri Seyè a desann sou mwen ankò. Seyè a ban m' lòd pou m' bay pèp la mesaj sa a: -Nou menm fanmi Izrayèl la, mwen konnen sa n'ap di, mwen konnen lide nou gen dèyè tèt nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:6 ============ Eze 11:6 Ye have multiplied your slain in this city, and ye have filled the streets thereof with the slain.(KJV-1611) Eze 11:6 Nou sitèlman touye moun isit nan lavil la, lari yo plen kadav.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:7 ============ Eze 11:7 Therefore thus saith the Lord GOD; Your slain whom ye have laid in the midst of it, they are the flesh, and this city is the caldron: but I will bring you forth out of the midst of it.(KJV-1611) Eze 11:7 Konsa, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di nou: Wi, lavil la tankou yon chodyè. Men kisa ki vyann lan? Se kadav moun nou touye yo! Nou menm menm m'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:8 ============ Eze 11:8 Ye have feared the sword; and I will bring a sword upon you, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 11:8 Nou pè lagè, pa vre? Enben, m'ap voye lagè sou nou! Se mwen menm menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:9 ============ Eze 11:9 And I will bring you out of the midst thereof, and deliver you into the hands of strangers, and will execute judgments among you.(KJV-1611) Eze 11:9 M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:10 ============ Eze 11:10 Ye shall fall by the sword; I will judge you in the border of Israel; and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 11:10 N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:11 ============ Eze 11:11 This city shall not be your caldron, neither shall ye be the flesh in the midst thereof; but I will judge you in the border of Israel:(KJV-1611) Eze 11:11 Lavil sa a p'ap pwoteje nou jan chodyè pwoteje vyann ki ladan l'. Se nan mitan peyi Izrayèl la menm m'ap pini nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:12 ============ Eze 11:12 And ye shall know that I am the LORD: for ye have not walked in my statutes, neither executed my judgments, but have done after the manners of the heathen that are round about you.(KJV-1611) Eze 11:12 Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Pase pou nou te swiv lòd mwen yo, pase pou n' te fè sa m' mande nou fè, nou te pito swiv vye mès pèp k'ap viv nan peyi ki bò kote nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:13 ============ Eze 11:13 And it came to pass, when I prophesied, that Pelatiah the son of Benaiah died. Then fell I down upon my face, and cried with a loud voice, and said, Ah Lord GOD! wilt thou make a full end of the remnant of Israel?(KJV-1611) Eze 11:13 Antan m'ap bay mesaj la, Pelatya, pitit gason Benaja a, tonbe li mouri frèt. Mwen lage kò m' ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè, mwen rele byen fò, mwen di: -O Seyè, Bondye sèl Mèt la! Eske ou pral touye ti rès moun ki rete nan pèp Izrayèl la?(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:14 ============ Eze 11:14 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 11:14 Seyè a pale avè m' ankò, li di:(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:15 ============ Eze 11:15 Son of man, thy brethren, even thy brethren, the men of thy kindred, and all the house of Israel wholly, are they unto whom the inhabitants of Jerusalem have said, Get you far from the LORD: unto us is this land given in possession.(KJV-1611) Eze 11:15 -Nonm o! Moun ki rete lavil Jerizalèm yo ap pale sou ou, sou frè ou, sou fanmi ou, sou tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. Y'ap di: Moun yo depòte yo twò lwen pou yo ka fè sèvis pou Seyè a, se konsa Seyè a ban nou peyi a pou rele nou pa nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:16 ============ Eze 11:16 Therefore say, Thus saith the Lord GOD; Although I have cast them far off among the heathen, and although I have scattered them among the countries, yet will I be to them as a little sanctuary in the countries where they shall come.(KJV-1611) Eze 11:16 Se poutèt sa, men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, bay pou moun yo depòte yo. Wi, se mwen menm ki te voye yo al viv byen lwen nan mitan lòt nasyon yo, mwen gaye yo nan yon bann lòt peyi. Men, m'ap toujou la avèk yo nan peyi kote yo ale a tankou si m' te nan kay yo mete apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:17 ============ Eze 11:17 Therefore say, Thus saith the Lord GOD; I will even gather you from the people, and assemble you out of the countries where ye have been scattered, and I will give you the land of Israel.(KJV-1611) Eze 11:17 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo soti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:18 ============ Eze 11:18 And they shall come thither, and they shall take away all the detestable things thereof and all the abominations thereof from thence.(KJV-1611) Eze 11:18 Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:19 ============ Eze 11:19 And I will give them one heart, and I will put a new spirit within you; and I will take the stony heart out of their flesh, and will give them an heart of flesh:(KJV-1611) Eze 11:19 M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:20 ============ Eze 11:20 That they may walk in my statutes, and keep mine ordinances, and do them: and they shall be my people, and I will be their God.(KJV-1611) Eze 11:20 Konsa, y'a mache dapre lòd m'a ba yo. Y'a fè tou sa m'a mande yo fè. Y'a koute m' lè m'a pale yo. Se pèp pa m' lan menm yo pral ye, mwen menm mwen pral Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:21 ============ Eze 11:21 But as for them whose heart walketh after the heart of their detestable things and their abominations, I will recompense their way upon their own heads, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 11:21 Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:22 ============ Eze 11:22 Then did the cherubims lift up their wings, and the wheels beside them; and the glory of the God of Israel was over them above.(KJV-1611) Eze 11:22 Bèt vivan yo pran vole, wou yo pati ansanm ak yo. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anwo yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:23 ============ Eze 11:23 And the glory of the LORD went up from the midst of the city, and stood upon the mountain which is on the east side of the city.(KJV-1611) Eze 11:23 Bèl limyè prezans Seyè a soti kite lavil la, li ale poze sou mòn ki te sou bò solèy leve a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:24 ============ Eze 11:24 Afterwards the spirit took me up, and brought me in a vision by the Spirit of God into Chaldea, to them of the captivity. So the vision that I had seen went up from me.(KJV-1611) Eze 11:24 Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 11:25 ============ Eze 11:25 Then I spake unto them of the captivity all the things that the LORD had shewed me.(KJV-1611) Eze 11:25 Mwen rakonte moun yo te depòte yo tou sa Seyè a te fè m' wè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:1 ============ Eze 12:1 The word of the LORD also came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 12:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:2 ============ Eze 12:2 Son of man, thou dwellest in the midst of a rebellious house, which have eyes to see, and see not; they have ears to hear, and hear not: for they are a rebellious house.(KJV-1611) Eze 12:2 -Nonm o! Se nan mitan yon move ras moun ki gen tèt di ou rete la a. Yo gen je, men yo pa wè anyen. Yo gen zòrèy, men yo pa tande anyen, paske se yon move ras moun wòklò ki gen tèt di yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:3 ============ Eze 12:3 Therefore, thou son of man, prepare thee stuff for removing, and remove by day in their sight; and thou shalt remove from thy place to another place in their sight: it may be they will consider, though they be a rebellious house.(KJV-1611) Eze 12:3 Koulye a, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:4 ============ Eze 12:4 Then shalt thou bring forth thy stuff by day in their sight, as stuff for removing: and thou shalt go forth at even in their sight, as they that go forth into captivity.(KJV-1611) Eze 12:4 Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:5 ============ Eze 12:5 Dig thou through the wall in their sight, and carry out thereby.(KJV-1611) Eze 12:5 Antan y'ap gade ou, w'a fè yon twou nan miray la, w'a pase soti ladan l' ansanm ak pakèt ou a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:6 ============ Eze 12:6 In their sight shalt thou bear it upon thy shoulders, and carry it forth in the twilight: thou shalt cover thy face, that thou see not the ground: for I have set thee for a sign unto the house of Israel.(KJV-1611) Eze 12:6 La, devan je yo, w'a mete pakèt la sou zepòl ou, w'a met deyò nan fènwa a. W'a bouche je ou pou ou pa wè kote ou prale. Sa ou pral fè a va sèvi yon siy pou avèti moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:7 ============ Eze 12:7 And I did so as I was commanded: I brought forth my stuff by day, as stuff for captivity, and in the even I digged through the wall with mine hand; I brought it forth in the twilight, and I bare it upon my shoulder in their sight.(KJV-1611) Eze 12:7 Mwen fè tou sa Seyè a te ban mwen lòd fè a. Jou sa a, gwo lajounen, mwen fè pakèt mwen tankou yon moun y'ap depòte ta fè l'. Nan aswè, mwen fè yon twou ak men m' nan miray la, mwen soti nan fènwa a. Antan tout moun la ap gade m', mwen chaje pakèt mwen sou zepòl mwen, m' ale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:8 ============ Eze 12:8 And in the morning came the word of the LORD unto me, saying,(KJV-1611) Eze 12:8 Nan denmen maten, Seyè a pale avè m' ankò, li di m':(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:9 ============ Eze 12:9 Son of man, hath not the house of Israel, the rebellious house, said unto thee, What doest thou?(KJV-1611) Eze 12:9 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo, move ras moun tèt di sa yo, va mande ou sa w'ap fè la a,(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:10 ============ Eze 12:10 Say thou unto them, Thus saith the Lord GOD; This burden concerneth the prince in Jerusalem, and all the house of Israel that are among them.(KJV-1611) Eze 12:10 w'a di yo: Men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye ba yo. Mesaj sa a se va yon avètisman pou chèf lavil Jerizalèm lan ansanm ak pou tout moun pèp Izrayèl ki rete nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:11 ============ Eze 12:11 Say, I am your sign: like as I have done, so shall it be done unto them: they shall remove and go into captivity.(KJV-1611) Eze 12:11 W'a di yo tou sa ou te fè a, se tankou yon avètisman pou sa ki pral rive yo. Yo pral fè yo prizonye, y'ap depòte yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:12 ============ Eze 12:12 And the prince that is among them shall bear upon his shoulder in the twilight, and shall go forth: they shall dig through the wall to carry out thereby: he shall cover his face, that he see not the ground with his eyes.(KJV-1611) Eze 12:12 Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:13 ============ Eze 12:13 My net also will I spread upon him, and he shall be taken in my snare: and I will bring him to Babylon to the land of the Chaldeans; yet shall he not see it, though he shall die there.(KJV-1611) Eze 12:13 M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l' ladan l'. Lèfini, m'ap mennen l' lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l' ak je l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:14 ============ Eze 12:14 And I will scatter toward every wind all that are about him to help him, and all his bands; and I will draw out the sword after them.(KJV-1611) Eze 12:14 M'ap gaye tout moun ki te avè l' yo, gad pèsonèl li yo ak tout sòlda li yo, y'ap pran kouri nan tout direksyon. Men, m'ap fè lènmi kouri dèyè yo pou touye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:15 ============ Eze 12:15 And they shall know that I am the LORD, when I shall scatter them among the nations, and disperse them in the countries.(KJV-1611) Eze 12:15 Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:16 ============ Eze 12:16 But I will leave a few men of them from the sword, from the famine, and from the pestilence; that they may declare all their abominations among the heathen whither they come; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 12:16 Men, m'ap kite de twa ladan yo chape, yo p'ap touye yo nan lagè, yo p'ap mouri nan grangou, ni anba move maladi. Konsa, lè y'a nan mitan lòt nasyon yo, y'a rakonte jan yo te fè bagay ki derespektan, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:17 ============ Eze 12:17 Moreover the word of the LORD came to me, saying,(KJV-1611) Eze 12:17 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:18 ============ Eze 12:18 Son of man, eat thy bread with quaking, and drink thy water with trembling and with carefulness;(KJV-1611) Eze 12:18 -Nonm o! Lè w'ap manje, tranble kou fèy bwa. Bwè dlo ou ak kè sote, ak kè sere.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:19 ============ Eze 12:19 And say unto the people of the land, Thus saith the Lord GOD of the inhabitants of Jerusalem, and of the land of Israel; They shall eat their bread with carefulness, and drink their water with astonishment, that her land may be desolate from all that is therein, because of the violence of all them that dwell therein.(KJV-1611) Eze 12:19 W'a di moun peyi a men mesaj Seyè Bondye sèl Mèt la voye bay moun lavil Jerizalèm yo k'ap viv toujou nan peyi a: Y'ap manje ak kè sere, y'ap bwè ak kè sote. Peyi a pral tounen yon savann, p'ap gen anyen ladan l' ankò. Tou sa, akòz mechanste moun k'ap viv ladan l' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:20 ============ Eze 12:20 And the cities that are inhabited shall be laid waste, and the land shall be desolate; and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 12:20 Yo pral detwi lavil ki plen moun yo. Peyi a ap tounen yon dezè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:21 ============ Eze 12:21 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 12:21 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:22 ============ Eze 12:22 Son of man, what is that proverb that ye have in the land of Israel, saying, The days are prolonged, and every vision faileth?(KJV-1611) Eze 12:22 -Nonm o! Poukisa moun pèp Izrayèl yo ap plede repete pawòl sa a: Jou yo ap pase yonn apre lòt, sa yo te di k'ap rive a pa rive?(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:23 ============ Eze 12:23 Tell them therefore, Thus saith the Lord GOD; I will make this proverb to cease, and they shall no more use it as a proverb in Israel; but say unto them, The days are at hand, and the effect of every vision.(KJV-1611) Eze 12:23 Koulye a, di yo men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye ba yo: Mwen pral fè yo sispann repete pawòl sa a. Yo p'ap janm tande l' ankò nan bouch moun pèp Izrayèl yo. Di yo: Men jou a rive. Men sa yo te di ki pou rive a pral rive vre!(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:24 ============ Eze 12:24 For there shall be no more any vain vision nor flattering divination within the house of Israel.(KJV-1611) Eze 12:24 Nan mitan pèp Izrayèl la, p'ap gen moun k'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, p'ap gen pwofèt pou bay manti.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:25 ============ Eze 12:25 For I am the LORD: I will speak, and the word that I shall speak shall come to pass; it shall be no more prolonged: for in your days, O rebellious house, will I say the word, and will perform it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 12:25 Se mwen menm Seyè a ki pral pale ak yo. Sa m'a di a gen pou l' rive, l'ap rive vre. Tande byen, bann moun wòklò, nou p'ap mouri anvan li rive. Non, se p'ap bagay k'ap pran twòp tan pou li rive. Sa mwen pral di a, m'ap fè l' rive vre. Se mwen menm Seyè ki sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:26 ============ Eze 12:26 Again the word of the LORD came to me, saying.(KJV-1611) Eze 12:26 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:27 ============ Eze 12:27 Son of man, behold, they of the house of Israel say, The vision that he seeth is for many days to come, and he prophesieth of the times that are far off.(KJV-1611) Eze 12:27 -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo ap di vizyon w'ap fè a poko prèt pou l' rive. Mesaj w'ap bay yo, se pa pou yo, y'a gen tan mouri anvan sa ou di a rive.(Creole-HT) ======= Ezekiel 12:28 ============ Eze 12:28 Therefore say unto them, Thus saith the Lord GOD; There shall none of my words be prolonged any more, but the word which I have spoken shall be done, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 12:28 Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Seyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesaj m'ap bay la p'ap pran tan pou l' rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:1 ============ Eze 13:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 13:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:2 ============ Eze 13:2 Son of man, prophesy against the prophets of Israel that prophesy, and say thou unto them that prophesy out of their own hearts, Hear ye the word of the LORD;(KJV-1611) Eze 13:2 -Nonm o! Denonse pwofèt pèp Izrayèl yo. Denonse moun sa yo k'ap bay mesaj yo menm yo fè. Di yo: Manyè koute pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:3 ============ Eze 13:3 Thus saith the Lord GOD; Woe unto the foolish prophets, that follow their own spirit, and have seen nothing!(KJV-1611) Eze 13:3 Men mesaj Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Madichon pou bann pwofèt egare sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè ankenn vizyon vre.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:4 ============ Eze 13:4 O Israel, thy prophets are like the foxes in the deserts.(KJV-1611) Eze 13:4 Moun Izrayèl yo, koute: Pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen, se tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:5 ============ Eze 13:5 Ye have not gone up into the gaps, neither made up the hedge for the house of Israel to stand in the battle in the day of the LORD.(KJV-1611) Eze 13:5 Yo pa t' moute lagad kote miray la te make kraze a, ni yo pa t' rebati miray yo. Konsa, moun Izrayèl yo pa gen defans lè lagè va pete jou jijman Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:6 ============ Eze 13:6 They have seen vanity and lying divination, saying, The LORD saith: and the LORD hath not sent them: and they have made others to hope that they would confirm the word.(KJV-1611) Eze 13:6 Vizyon y'ap fè yo se pou twonpe moun, mesaj y'ap bay yo se manti. Yo pretann di se mesaj Bondye y'ap bay. Men, se pa mwen menm ki janm pale ak yo. Lèfini, yo konprann pou m' fè sa yo di k'ap rive a rive vre.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:7 ============ Eze 13:7 Have ye not seen a vain vision, and have ye not spoken a lying divination, whereas ye say, The LORD saith it; albeit I have not spoken?(KJV-1611) Eze 13:7 Mwen tou di yo: Vizyon y'ap fè yo se tèt yo y'ap twonpe. Mesaj y'ap bay yo se manti. Y'ap plede di men mesaj Bondye bay. Men, mwen pa t' janm pale ake yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:8 ============ Eze 13:8 Therefore thus saith the Lord GOD; Because ye have spoken vanity, and seen lies, therefore, behold, I am against you, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 13:8 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di yo: Se twonpe n'ap twonpe moun ak pawòl nou yo. Tout vizyon nou yo se manti. Se poutèt sa m'ap leve dèyè nou tou! Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:9 ============ Eze 13:9 And mine hand shall be upon the prophets that see vanity, and that divine lies: they shall not be in the assembly of my people, neither shall they be written in the writing of the house of Israel, neither shall they enter into the land of Israel; and ye shall know that I am the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 13:9 Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:10 ============ Eze 13:10 Because, even because they have seduced my people, saying, Peace; and there was no peace; and one built up a wall, and, lo, others daubed it with untempered morter:(KJV-1611) Eze 13:10 Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:11 ============ Eze 13:11 Say unto them which daub it with untempered morter, that it shall fall: there shall be an overflowing shower; and ye, O great hailstones, shall fall; and a stormy wind shall rend it.(KJV-1611) Eze 13:11 Di moun k'ap pase dlo lacho sou miray la: Miray la pral tonbe. Mwen pral voye yon gwo lapli. Lagrèl pral tonbe, yon gwo van tanpèt pral soufle.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:12 ============ Eze 13:12 Lo, when the wall is fallen, shall it not be said unto you, Where is the daubing wherewith ye have daubed it?(KJV-1611) Eze 13:12 Lè miray la fin tonbe, y'a mande yo kisa dlo lacho a te fè pou miray la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:13 ============ Eze 13:13 Therefore thus saith the Lord GOD; I will even rend it with a stormy wind in my fury; and there shall be an overflowing shower in mine anger, and great hailstones in my fury to consume it.(KJV-1611) Eze 13:13 Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral fè yon sèl kòlè, m'ap voye yon gwo van tanpèt, yon gwo lapli ak lagrèl ki pral tonbe pou kraze miray la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:14 ============ Eze 13:14 So will I break down the wall that ye have daubed with untempered morter, and bring it down to the ground, so that the foundation thereof shall be discovered, and it shall fall, and ye shall be consumed in the midst thereof: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 13:14 M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:15 ============ Eze 13:15 Thus will I accomplish my wrath upon the wall, and upon them that have daubed it with untempered morter, and will say unto you, The wall is no more, neither they that daubed it;(KJV-1611) Eze 13:15 Mwen pral move sou miray la ansanm ak tout moun ki te blanchi l' ak lacho a. Lè m'a fin fè yo sa m' gen pou m' fè yo a, m'a di nou: Miray la pa la ankò, ni bann moun ki te blanchi l' ak lacho a,(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:16 ============ Eze 13:16 To wit, the prophets of Israel which prophesy concerning Jerusalem, and which see visions of peace for her, and there is no peace, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 13:16 bann pwofèt pèp Izrayèl yo k'ap bay bèl mesaj pou lavil Jerizalèm lan. Anyen p'ap mache nan peyi a, epi yo menm y'ap plede di yo fè vizyon tout bagay ap mache byen. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:17 ============ Eze 13:17 Likewise, thou son of man, set thy face against the daughters of thy people, which prophesy out of their own heart; and prophesy thou against them,(KJV-1611) Eze 13:17 Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:18 ============ Eze 13:18 And say, Thus saith the Lord GOD; Woe to the women that sew pillows to all armholes, and make kerchiefs upon the head of every stature to hunt souls! Will ye hunt the souls of my people, and will ye save the souls alive that come unto you?(KJV-1611) Eze 13:18 Lèfini, di yo men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, voye di yo: Madichon pou nou, medam! N'ap mare kòd wanga nan ponyèt tout moun. N'ap moute mouchwa tèt pou tout kalite moun pou yo ka gen pouvwa pran nanm moun. Nou dèyè pou nou gen pouvwa fè sa nou vle ak nanm lòt moun san anyen pa rive nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:19 ============ Eze 13:19 And will ye pollute me among my people for handfuls of barley and for pieces of bread, to slay the souls that should not die, and to save the souls alive that should not live, by your lying to my people that hear your lies?(KJV-1611) Eze 13:19 N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:20 ============ Eze 13:20 Wherefore thus saith the Lord GOD; Behold, I am against your pillows, wherewith ye there hunt the souls to make them fly, and I will tear them from your arms, and will let the souls go, even the souls that ye hunt to make them fly.(KJV-1611) Eze 13:20 Enben! Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di: Mwen pa vle wè kòd wanga nan ponyèt nou yo. Se ak yo nou sèvi pou nou pran nanm lòt moun tankou zwezo nan pèlen. M'ap rache yo nan ponyèt nou. M'ap delivre moun nou te pran nan pèlen yo pou y' al fè wout yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:21 ============ Eze 13:21 Your kerchiefs also will I tear, and deliver my people out of your hand, and they shall be no more in your hand to be hunted; and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 13:21 M'ap rache mouchwa tèt nou yo, m'ap sove pèp mwen an anba men nou. Nou p'ap ka fè sa nou vle ak yo ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:22 ============ Eze 13:22 Because with lies ye have made the heart of the righteous sad, whom I have not made sad; and strengthened the hands of the wicked, that he should not return from his wicked way, by promising him life:(KJV-1611) Eze 13:22 Mwen pa ta renmen anyen rive bon moun yo. Men nou menm, avèk manti n'ap bay yo, n'ap dekouraje yo. N'ap ankouraje mechan yo pou yo pa chanje. Nou pa ba yo chans sove lavi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 13:23 ============ Eze 13:23 Therefore ye shall see no more vanity, nor divine divinations: for I will deliver my people out of your hand: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 13:23 Enben! Se poutèt sa koulye a, nou p'ap fè vizyon pou twonpe moun ankò, ni nou p'ap ba yo manti sou sa ki pral rive yo. Mwen pral sove pèp mwen an anba men nou. Konsa, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:1 ============ Eze 14:1 Then came certain of the elders of Israel unto me, and sat before me.(KJV-1611) Eze 14:1 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m' pou m' te fè yo konnen volonte Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:2 ============ Eze 14:2 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 14:2 Se konsa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:3 ============ Eze 14:3 Son of man, these men have set up their idols in their heart, and put the stumblingblock of their iniquity before their face: should I be enquired of at all by them?(KJV-1611) Eze 14:3 -Nonm o! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande m' konsèy?(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:4 ============ Eze 14:4 Therefore speak unto them, and say unto them, Thus saith the Lord GOD; Every man of the house of Israel that setteth up his idols in his heart, and putteth the stumblingblock of his iniquity before his face, and cometh to the prophet; I the LORD will answer him that cometh according to the multitude of his idols;(KJV-1611) Eze 14:4 Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Seyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:5 ============ Eze 14:5 That I may take the house of Israel in their own heart, because they are all estranged from me through their idols.(KJV-1611) Eze 14:5 Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:6 ============ Eze 14:6 Therefore say unto the house of Israel, Thus saith the Lord GOD; Repent, and turn yourselves from your idols; and turn away your faces from all your abominations.(KJV-1611) Eze 14:6 Koulye a, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:7 ============ Eze 14:7 For every one of the house of Israel, or of the stranger that sojourneth in Israel, which separateth himself from me, and setteth up his idols in his heart, and putteth the stumblingblock of his iniquity before his face, and cometh to a prophet to enquire of him concerning me; I the LORD will answer him by myself:(KJV-1611) Eze 14:7 Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:8 ============ Eze 14:8 And I will set my face against that man, and will make him a sign and a proverb, and I will cut him off from the midst of my people; and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 14:8 M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l' tounen yon egzanp pou yo mete non l' nan chante. M'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:9 ============ Eze 14:9 And if the prophet be deceived when he hath spoken a thing, I the LORD have deceived that prophet, and I will stretch out my hand upon him, and will destroy him from the midst of my people Israel.(KJV-1611) Eze 14:9 Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m' sou li pou m' pini l', m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:10 ============ Eze 14:10 And they shall bear the punishment of their iniquity: the punishment of the prophet shall be even as the punishment of him that seeketh unto him;(KJV-1611) Eze 14:10 Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:11 ============ Eze 14:11 That the house of Israel may go no more astray from me, neither be polluted any more with all their transgressions; but that they may be my people, and I may be their God, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 14:11 Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:12 ============ Eze 14:12 The word of the LORD came again to me, saying,(KJV-1611) Eze 14:12 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:13 ============ Eze 14:13 Son of man, when the land sinneth against me by trespassing grievously, then will I stretch out mine hand upon it, and will break the staff of the bread thereof, and will send famine upon it, and will cut off man and beast from it:(KJV-1611) Eze 14:13 -Nonm o! Si moun k'ap viv nan yon peyi peche kont mwen, si yo pa kenbe pawòl yo ak mwen, m'ap lonje men m' sou yo pou m' pini yo. M'ap koupe viv yo. M'ap fè yon sèl grangou tonbe sou yo, m'ap touye ni moun, ni bèt nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:14 ============ Eze 14:14 Though these three men, Noah, Daniel, and Job, were in it, they should deliver but their own souls by their righteousness, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 14:14 Si twa moun dwat sa yo, Noe, Danèl ak Jòb, ta nan mitan yo, se yo menm ase ki t'ap sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:15 ============ Eze 14:15 If I cause noisome beasts to pass through the land, and they spoil it, so that it be desolate, that no man may pass through because of the beasts:(KJV-1611) Eze 14:15 Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovaj touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovaj sa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:16 ============ Eze 14:16 Though these three men were in it, as I live, saith the Lord GOD, they shall deliver neither sons nor daughters; they only shall be delivered, but the land shall be desolate.(KJV-1611) Eze 14:16 Si twa moun sa yo ta nan mitan yo, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki t'ap sove. Tout peyi a t'ap tounen yon dezè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:17 ============ Eze 14:17 Or if I bring a sword upon that land, and say, Sword, go through the land; so that I cut off man and beast from it:(KJV-1611) Eze 14:17 Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:18 ============ Eze 14:18 Though these three men were in it, as I live, saith the Lord GOD, they shall deliver neither sons nor daughters, but they only shall be delivered themselves.(KJV-1611) Eze 14:18 Si twa mesye sa yo ta nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta ka sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ase ki ta sove.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:19 ============ Eze 14:19 Or if I send a pestilence into that land, and pour out my fury upon it in blood, to cut off from it man and beast:(KJV-1611) Eze 14:19 Si mwen ta voye yon move maladi sou peyi a, si mwen ta move sou li jouk pou m' ta voye yon maladi san renmèd pou m' touye ni moun ni bèt,(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:20 ============ Eze 14:20 Though Noah, Daniel, and Job were in it, as I live, saith the Lord GOD, they shall deliver neither son nor daughter; they shall but deliver their own souls by their righteousness.(KJV-1611) Eze 14:20 epi si Noe, Danèl ak Jòb te la nan peyi a, jan nou konnen mwen vivan vre a, -se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale, -yo pa ta sove ata pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Se yo ase ki ta sove lavi yo, paske se yo ki te mache dwat.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:21 ============ Eze 14:21 For thus saith the Lord GOD; How much more when I send my four sore judgments upon Jerusalem, the sword, and the famine, and the noisome beast, and the pestilence, to cut off from it man and beast?(KJV-1611) Eze 14:21 Men sa Seyè, Bondye sèl Mèt la, di ankò: M'ap voye kat pi gwo chatiman m' yo sou lavil Jerizalèm: lagè, grangou, bèt sovaj ak move maladi, pou yo touye dènye moun ak dènye bèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:22 ============ Eze 14:22 Yet, behold, therein shall be left a remnant that shall be brought forth, both sons and daughters: behold, they shall come forth unto you, and ye shall see their way and their doings: and ye shall be comforted concerning the evil that I have brought upon Jerusalem, even concerning all that I have brought upon it.(KJV-1611) Eze 14:22 Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m' pa t' gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezekiel 14:23 ============ Eze 14:23 And they shall comfort you, when ye see their ways and their doings: and ye shall know that I have not done without cause all that I have done in it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 14:23 Wi, lè n'a wè jan moun sa yo t'ap viv ak sa yo t'ap fè, n'a konnen mwen te gen rezon fè lavil Jerizalèm sa m' te fè l' la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:1 ============ Eze 15:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 15:1 Seyè a pale avè m' ankò: Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:2 ============ Eze 15:2 Son of man, what is the vine tree more than any tree, or than a branch which is among the trees of the forest?(KJV-1611) Eze 15:2 -Nonm o! Kisa bwa pye rezen an genyen ki fè l' pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:3 ============ Eze 15:3 Shall wood be taken thereof to do any work? or will men take a pin of it to hang any vessel thereon?(KJV-1611) Eze 15:3 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l' pou pandye bagay?(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:4 ============ Eze 15:4 Behold, it is cast into the fire for fuel; the fire devoureth both the ends of it, and the midst of it is burned. Is it meet for any work?(KJV-1611) Eze 15:4 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l' ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:5 ============ Eze 15:5 Behold, when it was whole, it was meet for no work: how much less shall it be meet yet for any work, when the fire hath devoured it, and it is burned?(KJV-1611) Eze 15:5 Li pa t' ankò boule a, yo te tou pa ka fè anyen avè l'. Koulye a dife a fin boule l', se pi rèd ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:6 ============ Eze 15:6 Therefore thus saith the Lord GOD; As the vine tree among the trees of the forest, which I have given to the fire for fuel, so will I give the inhabitants of Jerusalem.(KJV-1611) Eze 15:6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:7 ============ Eze 15:7 And I will set my face against them; they shall go out from one fire, and another fire shall devour them; and ye shall know that I am the LORD, when I set my face against them.(KJV-1611) Eze 15:7 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 15:8 ============ Eze 15:8 And I will make the land desolate, because they have committed a trespass, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 15:8 Yo twonpe m' tankou yon fanm k'ap twonpe mari l'. Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:1 ============ Eze 16:1 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 16:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:2 ============ Eze 16:2 Son of man, cause Jerusalem to know her abominations,(KJV-1611) Eze 16:2 -Nonm o! Fè moun lavil Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:3 ============ Eze 16:3 And say, Thus saith the Lord GOD unto Jerusalem; Thy birth and thy nativity is of the land of Canaan; thy father was an Amorite, and thy mother an Hittite.(KJV-1611) Eze 16:3 W'a di moun lavil Jerizalèm yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou se moun peyi Kanaran, se la nou fèt. Papa nou te yon moun peyi Amori, manman nou yon moun peyi Et.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:4 ============ Eze 16:4 And as for thy nativity, in the day thou wast born thy navel was not cut, neither wast thou washed in water to supple thee; thou wast not salted at all, nor swaddled at all.(KJV-1611) Eze 16:4 Jou ou soti nan vant manman ou lan, yo pa t' koupe kòd lonbrit ou, yo pa t' lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pa t' fwote ou ak gwo sèl, yo pa t' menm vlope ou nan moso kòt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:5 ============ Eze 16:5 None eye pitied thee, to do any of these unto thee, to have compassion upon thee; but thou wast cast out in the open field, to the lothing of thy person, in the day that thou wast born.(KJV-1611) Eze 16:5 Pesonn pa t' gen pitye pou ou pou yo te rann ou yonn nan ti sèvis sa yo. Lè ou te fèt la, pesonn pa t' vle wè ou, yo voye ou jete nan jaden.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:6 ============ Eze 16:6 And when I passed by thee, and saw thee polluted in thine own blood, I said unto thee when thou wast in thy blood, Live; yea, I said unto thee when thou wast in thy blood, Live.(KJV-1611) Eze 16:6 Mwen vin ap pase bò la, mwen wè ou t'ap benyen nan san ou. Atout ou t'ap benyen nan san ou, mwen di mwen p'ap kite ou mouri, se pou ou viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:7 ============ Eze 16:7 I have caused thee to multiply as the bud of the field, and thou hast increased and waxen great, and thou art come to excellent ornaments: thy breasts are fashioned, and thine hair is grown, whereas thou wast naked and bare.(KJV-1611) Eze 16:7 Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:8 ============ Eze 16:8 Now when I passed by thee, and looked upon thee, behold, thy time was the time of love; and I spread my skirt over thee, and covered thy nakedness: yea, I sware unto thee, and entered into a covenant with thee, saith the Lord GOD, and thou becamest mine.(KJV-1611) Eze 16:8 Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:9 ============ Eze 16:9 Then washed I thee with water; yea, I throughly washed away thy blood from thee, and I anointed thee with oil.(KJV-1611) Eze 16:9 Apre sa, mwen pran dlo, mwen lave ou, mwen wete tout san ki te sou kò ou. Mwen basinen ou ak lwil santi bon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:10 ============ Eze 16:10 I clothed thee also with broidered work, and shod thee with badgers' skin, and I girded thee about with fine linen, and I covered thee with silk.(KJV-1611) Eze 16:10 Mwen mete bèl rad bwode sou ou, yon pè soulye fèt ak po bazann nan pye ou, yon bèl moso twal fin blan mare nan ren ou, ak yon chal swa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:11 ============ Eze 16:11 I decked thee also with ornaments, and I put bracelets upon thy hands, and a chain on thy neck.(KJV-1611) Eze 16:11 Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:12 ============ Eze 16:12 And I put a jewel on thy forehead, and earrings in thine ears, and a beautiful crown upon thine head.(KJV-1611) Eze 16:12 Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:13 ============ Eze 16:13 Thus wast thou decked with gold and silver; and thy raiment was of fine linen, and silk, and broidered work; thou didst eat fine flour, and honey, and oil: and thou wast exceeding beautiful, and thou didst prosper into a kingdom.(KJV-1611) Eze 16:13 Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fin ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:14 ============ Eze 16:14 And thy renown went forth among the heathen for thy beauty: for it was perfect through my comeliness, which I had put upon thee, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 16:14 Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl ou pa t' ka pi bèl pase sa paske se mwen menm ki te fè ou bèl konsa. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:15 ============ Eze 16:15 But thou didst trust in thine own beauty, and playedst the harlot because of thy renown, and pouredst out thy fornications on every one that passed by; his it was.(KJV-1611) Eze 16:15 Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:16 ============ Eze 16:16 And of thy garments thou didst take, and deckedst thy high places with divers colours, and playedst the harlot thereupon: the like things shall not come, neither shall it be so.(KJV-1611) Eze 16:16 Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:17 ============ Eze 16:17 Thou hast also taken thy fair jewels of my gold and of my silver, which I had given thee, and madest to thyself images of men, and didst commit whoredom with them,(KJV-1611) Eze 16:17 Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:18 ============ Eze 16:18 And tookest thy broidered garments, and coveredst them: and thou hast set mine oil and mine incense before them.(KJV-1611) Eze 16:18 Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:19 ============ Eze 16:19 My meat also which I gave thee, fine flour, and oil, and honey, wherewith I fed thee, thou hast even set it before them for a sweet savour: and thus it was, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 16:19 Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:20 ============ Eze 16:20 Moreover thou hast taken thy sons and thy daughters, whom thou hast borne unto me, and these hast thou sacrificed unto them to be devoured. Is this of thy whoredoms a small matter,(KJV-1611) Eze 16:20 Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:21 ============ Eze 16:21 That thou hast slain my children, and delivered them to cause them to pass through the fire for them?(KJV-1611) Eze 16:21 kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo?(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:22 ============ Eze 16:22 And in all thine abominations and thy whoredoms thou hast not remembered the days of thy youth, when thou wast naked and bare, and wast polluted in thy blood.(KJV-1611) Eze 16:22 Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:23 ============ Eze 16:23 And it came to pass after all thy wickedness, (woe, woe unto thee! saith the LORD GOD;)(KJV-1611) Eze 16:23 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo,(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:24 ============ Eze 16:24 That thou hast also built unto thee an eminent place, and hast made thee an high place in every street.(KJV-1611) Eze 16:24 sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:25 ============ Eze 16:25 Thou hast built thy high place at every head of the way, and hast made thy beauty to be abhorred, and hast opened thy feet to every one that passed by, and multiplied thy whoredoms.(KJV-1611) Eze 16:25 Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:26 ============ Eze 16:26 Thou hast also committed fornication with the Egyptians thy neighbours, great of flesh; and hast increased thy whoredoms, to provoke me to anger.(KJV-1611) Eze 16:26 W' al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki gwonèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m' fache.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:27 ============ Eze 16:27 Behold, therefore I have stretched out my hand over thee, and have diminished thine ordinary food, and delivered thee unto the will of them that hate thee, the daughters of the Philistines, which are ashamed of thy lewd way.(KJV-1611) Eze 16:27 Se konsa, mwen lonje men m' sou ou pou m' pini ou, mwen koupe moso nan sa ki te vin pou ou a. Mwen lage ou nan men lènmi ou yo, moun peyi Filisti yo, ki pa t' ka santi tout vye bagay sal ou t'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:28 ============ Eze 16:28 Thou hast played the whore also with the Assyrians, because thou wast unsatiable; yea, thou hast played the harlot with them, and yet couldest not be satisfied.(KJV-1611) Eze 16:28 Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:29 ============ Eze 16:29 Thou hast moreover multiplied thy fornication in the land of Canaan unto Chaldea; and yet thou wast not satisfied therewith.(KJV-1611) Eze 16:29 W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou!(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:30 ============ Eze 16:30 How weak is thine heart, saith the LORD GOD, seeing thou doest all these things, the work of an imperious whorish woman;(KJV-1611) Eze 16:30 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:31 ============ Eze 16:31 In that thou buildest thine eminent place in the head of every way, and makest thine high place in every street; and hast not been as an harlot, in that thou scornest hire;(KJV-1611) Eze 16:31 Ou bati yon lotèl repozwa nan chak kalfou granchemen. Ou bati tanp sou tout rebò granchemen yo. Men, se pa t' dèyè lajan ou te ye tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:32 ============ Eze 16:32 But as a wife that committeth adultery, which taketh strangers instead of her husband!(KJV-1611) Eze 16:32 Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:33 ============ Eze 16:33 They give gifts to all whores: but thou givest thy gifts to all thy lovers, and hirest them, that they may come unto thee on every side for thy whoredom.(KJV-1611) Eze 16:33 Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:34 ============ Eze 16:34 And the contrary is in thee from other women in thy whoredoms, whereas none followeth thee to commit whoredoms: and in that thou givest a reward, and no reward is given unto thee, therefore thou art contrary.(KJV-1611) Eze 16:34 Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:35 ============ Eze 16:35 Wherefore, O harlot, hear the word of the LORD:(KJV-1611) Eze 16:35 Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:36 ============ Eze 16:36 Thus saith the Lord GOD; Because thy filthiness was poured out, and thy nakedness discovered through thy whoredoms with thy lovers, and with all the idols of thy abominations, and by the blood of thy children, which thou didst give unto them;(KJV-1611) Eze 16:36 Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:37 ============ Eze 16:37 Behold, therefore I will gather all thy lovers, with whom thou hast taken pleasure, and all them that thou hast loved, with all them that thou hast hated; I will even gather them round about against thee, and will discover thy nakedness unto them, that they may see all thy nakedness.(KJV-1611) Eze 16:37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:38 ============ Eze 16:38 And I will judge thee, as women that break wedlock and shed blood are judged; and I will give thee blood in fury and jealousy.(KJV-1611) Eze 16:38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:39 ============ Eze 16:39 And I will also give thee into their hand, and they shall throw down thine eminent place, and shall break down thy high places: they shall strip thee also of thy clothes, and shall take thy fair jewels, and leave thee naked and bare.(KJV-1611) Eze 16:39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:40 ============ Eze 16:40 They shall also bring up a company against thee, and they shall stone thee with stones, and thrust thee through with their swords.(KJV-1611) Eze 16:40 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:41 ============ Eze 16:41 And they shall burn thine houses with fire, and execute judgments upon thee in the sight of many women: and I will cause thee to cease from playing the harlot, and thou also shalt give no hire any more.(KJV-1611) Eze 16:41 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:42 ============ Eze 16:42 So will I make my fury toward thee to rest, and my jealousy shall depart from thee, and I will be quiet, and will be no more angry.(KJV-1611) Eze 16:42 Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:43 ============ Eze 16:43 Because thou hast not remembered the days of thy youth, but hast fretted me in all these things; behold, therefore I also will recompense thy way upon thine head, saith the Lord GOD: and thou shalt not commit this lewdness above all thine abominations.(KJV-1611) Eze 16:43 Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:44 ============ Eze 16:44 Behold, every one that useth proverbs shall use this proverb against thee, saying, As is the mother, so is her daughter.(KJV-1611) Eze 16:44 Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:45 ============ Eze 16:45 Thou art thy mother's daughter, that lotheth her husband and her children; and thou art the sister of thy sisters, which lothed their husbands and their children: your mother was an Hittite, and your father an Amorite.(KJV-1611) Eze 16:45 Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:46 ============ Eze 16:46 And thine elder sister is Samaria, she and her daughters that dwell at thy left hand: and thy younger sister, that dwelleth at thy right hand, is Sodom and her daughters.(KJV-1611) Eze 16:46 Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:47 ============ Eze 16:47 Yet hast thou not walked after their ways, nor done after their abominations: but, as if that were a very little thing, thou wast corrupted more than they in all thy ways.(KJV-1611) Eze 16:47 Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:48 ============ Eze 16:48 As I live, saith the Lord GOD, Sodom thy sister hath not done, she nor her daughters, as thou hast done, thou and thy daughters.(KJV-1611) Eze 16:48 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pa t' janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:49 ============ Eze 16:49 Behold, this was the iniquity of thy sister Sodom, pride, fulness of bread, and abundance of idleness was in her and in her daughters, neither did she strengthen the hand of the poor and needy.(KJV-1611) Eze 16:49 Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:50 ============ Eze 16:50 And they were haughty, and committed abomination before me: therefore I took them away as I saw good.(KJV-1611) Eze 16:50 Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l' lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:51 ============ Eze 16:51 Neither hath Samaria committed half of thy sins; but thou hast multiplied thine abominations more than they, and hast justified thy sisters in all thine abominations which thou hast done.(KJV-1611) Eze 16:51 Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:52 ============ Eze 16:52 Thou also, which hast judged thy sisters, bear thine own shame for thy sins that thou hast committed more abominable than they: they are more righteous than thou: yea, be thou confounded also, and bear thy shame, in that thou hast justified thy sisters.(KJV-1611) Eze 16:52 Ou pral wont tèt ou pou sa ou fè. Ou sitèlman fè peche ki pi lèd pase sa sè ou yo fè a, ou ba yo rezon, yo parèt inonsan bò kote ou. Wi, se pou ou wont. Se pou ou kache figi ou, paske ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:53 ============ Eze 16:53 When I shall bring again their captivity, the captivity of Sodom and her daughters, and the captivity of Samaria and her daughters, then will I bring again the captivity of thy captives in the midst of them:(KJV-1611) Eze 16:53 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:54 ============ Eze 16:54 That thou mayest bear thine own shame, and mayest be confounded in all that thou hast done, in that thou art a comfort unto them.(KJV-1611) Eze 16:54 Ou pral wont tèt ou pou tou sa ou te fè. Yo pral pale ou mal. Sè ou yo pral wè yo pa pi mal pase sa. Sa pral yon konsolasyon pou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:55 ============ Eze 16:55 When thy sisters, Sodom and her daughters, shall return to their former estate, and Samaria and her daughters shall return to their former estate, then thou and thy daughters shall return to your former estate.(KJV-1611) Eze 16:55 Lavil Sodòm ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Lavil Samari ak tout ti bouk li yo pral kanpe ankò jan yo te ye anvan an. Ou menm tou, lavil Jerizalèm ak tout ti bouk ou yo, nou pral kanpe ankò jan nou te ye anvan an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:56 ============ Eze 16:56 For thy sister Sodom was not mentioned by thy mouth in the day of thy pride,(KJV-1611) Eze 16:56 Lè ou te an penpan an, èske ou pa t' konn pase Sodòm nan betiz,(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:57 ============ Eze 16:57 Before thy wickedness was discovered, as at the time of thy reproach of the daughters of Syria, and all that are round about her, the daughters of the Philistines, which despise thee round about.(KJV-1611) Eze 16:57 anvan yo te denonse tout mechanste ou yo? Koulye a, se ou menm moun Aram yo, moun Filisti yo ansanm ak lòt moun nan vwazinaj ki pa vle wè ou yo pral pase nan betiz.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:58 ============ Eze 16:58 Thou hast borne thy lewdness and thine abominations, saith the LORD.(KJV-1611) Eze 16:58 Ou pral peye pou tout bagay derespektan ak bagay mwen pa vle wè ou te fè yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:59 ============ Eze 16:59 For thus saith the Lord GOD; I will even deal with thee as thou hast done, which hast despised the oath in breaking the covenant.(KJV-1611) Eze 16:59 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l' konsa: -Mwen pral boule avè ou jan ou merite l' la, paske ou pa ka kenbe pawòl ou, ou kase kontra a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:60 ============ Eze 16:60 Nevertheless I will remember my covenant with thee in the days of thy youth, and I will establish unto thee an everlasting covenant.(KJV-1611) Eze 16:60 Men, m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:61 ============ Eze 16:61 Then thou shalt remember thy ways, and be ashamed, when thou shalt receive thy sisters, thine elder and thy younger: and I will give them unto thee for daughters, but not by thy covenant.(KJV-1611) Eze 16:61 Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:62 ============ Eze 16:62 And I will establish my covenant with thee; and thou shalt know that I am the LORD:(KJV-1611) Eze 16:62 Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 16:63 ============ Eze 16:63 That thou mayest remember, and be confounded, and never open thy mouth any more because of thy shame, when I am pacified toward thee for all that thou hast done, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 16:63 M'ap padonnen ou tou sa ou te fè. Men ou menm, w'ap chonje sa ou te fè yo, w'a wont, ou p'ap ka louvri bouch ou ankò tèlman w'a wont. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:1 ============ Eze 17:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 17:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:2 ============ Eze 17:2 Son of man, put forth a riddle, and speak a parable unto the house of Israel;(KJV-1611) Eze 17:2 -Nonm o! Bay moun pèp Izrayèl yo yon pawoli. Rakonte yo yon parabòl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:3 ============ Eze 17:3 And say, Thus saith the Lord GOD; A great eagle with great wings, longwinged, full of feathers, which had divers colours, came unto Lebanon, and took the highest branch of the cedar:(KJV-1611) Eze 17:3 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole li ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:4 ============ Eze 17:4 He cropped off the top of his young twigs, and carried it into a land of traffick; he set it in a city of merchants.(KJV-1611) Eze 17:4 Li pran l', li pote l' ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la. Li mete l' nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:5 ============ Eze 17:5 He took also of the seed of the land, and planted it in a fruitful field; he placed it by great waters, and set it as a willow tree.(KJV-1611) Eze 17:5 Lèfini, li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la, li plante l' nan yon bon venn tè, toupre yon larivyè ki toujou plen dlo, pou l' ka grandi tankou yon pye sikren.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:6 ============ Eze 17:6 And it grew, and became a spreading vine of low stature, whose branches turned toward him, and the roots thereof were under him: so it became a vine, and brought forth branches, and shot forth sprigs.(KJV-1611) Eze 17:6 Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:7 ============ Eze 17:7 There was also another great eagle with great wings and many feathers: and, behold, this vine did bend her roots toward him, and shot forth her branches toward him, that he might water it by the furrows of her plantation.(KJV-1611) Eze 17:7 Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l' tou. Li te konprann malfini sa a tapral wouze l' pi byen pase jaden kote l' te plante a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:8 ============ Eze 17:8 It was planted in a good soil by great waters, that it might bring forth branches, and that it might bear fruit, that it might be a goodly vine.(KJV-1611) Eze 17:8 Men, pye rezen an te deja plante nan yon bon venn tè, kote yon kannal ki toujou gen dlo, pou l' te ka fè fèy, pou l' te ka donnen, pou li te ka rive fè yon bèl pye rezen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:9 ============ Eze 17:9 Say thou, Thus saith the Lord GOD; Shall it prosper? shall he not pull up the roots thereof, and cut off the fruit thereof, that it wither? it shall wither in all the leaves of her spring, even without great power or many people to pluck it up by the roots thereof.(KJV-1611) Eze 17:9 Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre? Eske premye malfini an p'ap dechouke l', rache tout grap rezen l' yo, kase tout branch li yo pou yo mouri? Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l' dechouke l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:10 ============ Eze 17:10 Yea, behold, being planted, shall it prosper? shall it not utterly wither, when the east wind toucheth it? it shall wither in the furrows where it grew.(KJV-1611) Eze 17:10 Wi, yo te plante l'. Men, èske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:11 ============ Eze 17:11 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 17:11 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:12 ============ Eze 17:12 Say now to the rebellious house, Know ye not what these things mean? tell them, Behold, the king of Babylon is come to Jerusalem, and hath taken the king thereof, and the princes thereof, and led them with him to Babylon;(KJV-1611) Eze 17:12 -Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:13 ============ Eze 17:13 And hath taken of the king's seed, and made a covenant with him, and hath taken an oath of him: he hath also taken the mighty of the land:(KJV-1611) Eze 17:13 Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:14 ============ Eze 17:14 That the kingdom might be base, that it might not lift itself up, but that by keeping of his covenant it might stand.(KJV-1611) Eze 17:14 Konsa, li sèten peyi a va rete tou piti anba men l', yo p'ap ka leve tèt devan li, y'a toujou kenbe kontra li te pase ak yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:15 ============ Eze 17:15 But he rebelled against him in sending his ambassadors into Egypt, that they might give him horses and much people. Shall he prosper? shall he escape that doeth such things? or shall he break the covenant, and be delivered?(KJV-1611) Eze 17:15 Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:16 ============ Eze 17:16 As I live, saith the Lord GOD, surely in the place where the king dwelleth that made him king, whose oath he despised, and whose covenant he brake, even with him in the midst of Babylon he shall die.(KJV-1611) Eze 17:16 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pa t' respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l' la pou gouvènen peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:17 ============ Eze 17:17 Neither shall Pharaoh with his mighty army and great company make for him in the war, by casting up mounts, and building forts, to cut off many persons:(KJV-1611) Eze 17:17 Farawon an te mèt vini ak yon gwo lame ansanm ak anpil sòlda, li p'ap ka ede l' goumen nan lagè a, lè moun Babilòn yo va vin moute ranblè ak fouye gwo kannal pou yo touye moun san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:18 ============ Eze 17:18 Seeing he despised the oath by breaking the covenant, when, lo, he had given his hand, and hath done all these things, he shall not escape.(KJV-1611) Eze 17:18 Wa peyi Izrayèl la pa respekte pawòl li, li kase kontra a. Malgre angajman li te pran yo, li fè tout bagay sa yo. Sa p'ap pase konsa pou li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:19 ============ Eze 17:19 Therefore thus saith the Lord GOD; As I live, surely mine oath that he hath despised, and my covenant that he hath broken, even it will I recompense upon his own head.(KJV-1611) Eze 17:19 Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:20 ============ Eze 17:20 And I will spread my net upon him, and he shall be taken in my snare, and I will bring him to Babylon, and will plead with him there for his trespass that he hath trespassed against me.(KJV-1611) Eze 17:20 M'ap voye privye m' sou ou, w'ap pran nan may yo, m'ap trennen ou lavil Babilòn. Se la m'ap pini ou pou kenbe ou pa te kenbe pawòl ou avè m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:21 ============ Eze 17:21 And all his fugitives with all his bands shall fall by the sword, and they that remain shall be scattered toward all winds: and ye shall know that I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 17:21 Tout pi bon sòlda li yo pral mouri nan lagè. Sa ki chape yo, yo pral gaye yo toupatou sou latè. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:22 ============ Eze 17:22 Thus saith the Lord GOD; I will also take of the highest branch of the high cedar, and will set it; I will crop off from the top of his young twigs a tender one, and will plant it upon an high mountain and eminent:(KJV-1611) Eze 17:22 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo. M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo. M'ap plante l' sou tèt yon mòn byen wo,(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:23 ============ Eze 17:23 In the mountain of the height of Israel will I plant it: and it shall bring forth boughs, and bear fruit, and be a goodly cedar: and under it shall dwell all fowl of every wing; in the shadow of the branches thereof shall they dwell.(KJV-1611) Eze 17:23 sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L'ap fè branch, l'ap donnen. L'ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwezo pral rete ladan l'. Y'ap pare solèy nan lonbraj branch li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 17:24 ============ Eze 17:24 And all the trees of the field shall know that I the LORD have brought down the high tree, have exalted the low tree, have dried up the green tree, and have made the dry tree to flourish: I the LORD have spoken and have done it.(KJV-1611) Eze 17:24 Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:1 ============ Eze 18:1 The word of the LORD came unto me again, saying,(KJV-1611) Eze 18:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:2 ============ Eze 18:2 What mean ye, that ye use this proverb concerning the land of Israel, saying, The fathers have eaten sour grapes, and the children's teeth are set on edge?(KJV-1611) Eze 18:2 -Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:3 ============ Eze 18:3 As I live, saith the Lord GOD, ye shall not have occasion any more to use this proverb in Israel.(KJV-1611) Eze 18:3 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa: Nou p'ap janm repete pwovèb sa a ankò nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:4 ============ Eze 18:4 Behold, all souls are mine; as the soul of the father, so also the soul of the son is mine: the soul that sinneth, it shall die.(KJV-1611) Eze 18:4 Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:5 ============ Eze 18:5 But if a man be just, and do that which is lawful and right,(KJV-1611) Eze 18:5 Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:6 ============ Eze 18:6 And hath not eaten upon the mountains, neither hath lifted up his eyes to the idols of the house of Israel, neither hath defiled his neighbour's wife, neither hath come near to a menstruous woman,(KJV-1611) Eze 18:6 Li pa moute nan mòn pou l' al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:7 ============ Eze 18:7 And hath not oppressed any, but hath restored to the debtor his pledge, hath spoiled none by violence, hath given his bread to the hungry, and hath covered the naked with a garment;(KJV-1611) Eze 18:7 Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:8 ============ Eze 18:8 He that hath not given forth upon usury, neither hath taken any increase, that hath withdrawn his hand from iniquity, hath executed true judgment between man and man,(KJV-1611) Eze 18:8 Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l' nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:9 ============ Eze 18:9 Hath walked in my statutes, and hath kept my judgments, to deal truly; he is just, he shall surely live, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 18:9 Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:10 ============ Eze 18:10 If he beget a son that is a robber, a shedder of blood, and that doeth the like to any one of these things,(KJV-1611) Eze 18:10 Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:11 ============ Eze 18:11 And that doeth not any of those duties, but even hath eaten upon the mountains, and defiled his neighbour's wife,(KJV-1611) Eze 18:11 papa l' pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li,(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:12 ============ Eze 18:12 Hath oppressed the poor and needy, hath spoiled by violence, hath not restored the pledge, and hath lifted up his eyes to the idols, hath committed abomination,(KJV-1611) Eze 18:12 l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan,(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:13 ============ Eze 18:13 Hath given forth upon usury, and hath taken increase: shall he then live? he shall not live: he hath done all these abominations; he shall surely die; his blood shall be upon him.(KJV-1611) Eze 18:13 l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:14 ============ Eze 18:14 Now, lo, if he beget a son, that seeth all his father's sins which he hath done, and considereth, and doeth not such like,(KJV-1611) Eze 18:14 Annou konsidere koulye a ka dezyèm moun sa a ki ta rive fè yon pitit gason. Pitit la wè tout peche papa l' te fè yo. Li wè yo, men li pa fè tankou l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:15 ============ Eze 18:15 That hath not eaten upon the mountains, neither hath lifted up his eyes to the idols of the house of Israel, hath not defiled his neighbour's wife,(KJV-1611) Eze 18:15 Li pa al sou tèt mòn yo ofri manje bay zidòl, li derefize fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Izrayèl yo. Li respekte madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li,(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:16 ============ Eze 18:16 Neither hath oppressed any, hath not withholden the pledge, neither hath spoiled by violence, but hath given his bread to the hungry, and hath covered the naked with a garment,(KJV-1611) Eze 18:16 li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:17 ============ Eze 18:17 That hath taken off his hand from the poor, that hath not received usury nor increase, hath executed my judgments, hath walked in my statutes; he shall not die for the iniquity of his father, he shall surely live.(KJV-1611) Eze 18:17 Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l' te fè yo. Sèten l'ap viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:18 ============ Eze 18:18 As for his father, because he cruelly oppressed, spoiled his brother by violence, and did that which is not good among his people, lo, even he shall die in his iniquity.(KJV-1611) Eze 18:18 Papa l' pou bò pa l' te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pesonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:19 ============ Eze 18:19 Yet say ye, Why? doth not the son bear the iniquity of the father? When the son hath done that which is lawful and right, and hath kept all my statutes, and hath done them, he shall surely live.(KJV-1611) Eze 18:19 N'a mande nan kè nou: Poukisa yon pitit pa peye pou peche papa li te fè a? Men repons la. Se paske pitit la te mache dwat devan Bondye, li fè sa li te dwe fè. Li mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè, kifè l'ap viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:20 ============ Eze 18:20 The soul that sinneth, it shall die. The son shall not bear the iniquity of the father, neither shall the father bear the iniquity of the son: the righteousness of the righteous shall be upon him, and the wickedness of the wicked shall be upon him.(KJV-1611) Eze 18:20 Moun ki fè peche, se yo k'ap mouri. Yon pitit p'ap peye pou peche papa l' te fè, ni yon papa p'ap peye pou peche pitit li fè. Moun ki mache dwat va jwenn rekonpans pou dwat yo te mache dwat la. Mechan an va peye pou mechanste li fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:21 ============ Eze 18:21 But if the wicked will turn from all his sins that he hath committed, and keep all my statutes, and do that which is lawful and right, he shall surely live, he shall not die.(KJV-1611) Eze 18:21 Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:22 ============ Eze 18:22 All his transgressions that he hath committed, they shall not be mentioned unto him: in his righteousness that he hath done he shall live.(KJV-1611) Eze 18:22 Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:23 ============ Eze 18:23 Have I any pleasure at all that the wicked should die? saith the Lord GOD: and not that he should return from his ways, and live?(KJV-1611) Eze 18:23 Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Seyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l' sispann fè sa ki mal pou l' ka viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:24 ============ Eze 18:24 But when the righteous turneth away from his righteousness, and committeth iniquity, and doeth according to all the abominations that the wicked man doeth, shall he live? All his righteousness that he hath done shall not be mentioned: in his trespass that he hath trespassed, and in his sin that he hath sinned, in them shall he die.(KJV-1611) Eze 18:24 Men, si yon moun ki mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal ak tout lòt vye bagay derespektan mechan yo ap fè a, nan kondisyon sa a èske li ka viv toujou? Non. Yo p'ap chonje tout byen li te konn fè yo. L'ap mouri paske li pa t' kenbe pawòl li, paske li fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:25 ============ Eze 18:25 Yet ye say, The way of the LORD is not equal. Hear now, O house of Israel; Is not my way equal? are not your ways unequal?(KJV-1611) Eze 18:25 Men, n'a di n'a kè nou: Jan Seyè a ap aji la a pa bon non. Enben, nou menm moun pèp Izrayèl yo, koute. Nou di jan m' aji a pa bon. Nou pa kwè se jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:26 ============ Eze 18:26 When a righteous man turneth away from his righteousness, and committeth iniquity, and dieth in them; for his iniquity that he hath done shall he die.(KJV-1611) Eze 18:26 Lè yon moun ki t'ap mache dwat sispann fè sa ki byen pou li lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri. Se poutèt sa li fè ki mal la l'ap mouri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:27 ============ Eze 18:27 Again, when the wicked man turneth away from his wickedness that he hath committed, and doeth that which is lawful and right, he shall save his soul alive.(KJV-1611) Eze 18:27 Lè mechan an sispann fè peche li konn fè yo pou li fè sa ki dwat ak sa ki byen, l'ap sove lavi l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:28 ============ Eze 18:28 Because he considereth, and turneth away from all his transgressions that he hath committed, he shall surely live, he shall not die.(KJV-1611) Eze 18:28 Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l'. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:29 ============ Eze 18:29 Yet saith the house of Israel, The way of the LORD is not equal. O house of Israel, are not my ways equal? are not your ways unequal?(KJV-1611) Eze 18:29 Men, moun peyi Izrayèl yo ap plede di: Jan Seyè a ap aji a pa bon. Nou kwè se jan m'ap aji a ki pa bon vre? Eske se pa jan nou menm n'ap aji a ki pa bon pito?(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:30 ============ Eze 18:30 Therefore I will judge you, O house of Israel, every one according to his ways, saith the Lord GOD. Repent, and turn yourselves from all your transgressions; so iniquity shall not be your ruin.(KJV-1611) Eze 18:30 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:31 ============ Eze 18:31 Cast away from you all your transgressions, whereby ye have transgressed; and make you a new heart and a new spirit: for why will ye die, O house of Israel?(KJV-1611) Eze 18:31 Vire do bay tout vye peche nou te konn fè yo. Chanje kè nou, chanje lide nou. Poukisa atò, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou n'ap chache lanmò konsa?(Creole-HT) ======= Ezekiel 18:32 ============ Eze 18:32 For I have no pleasure in the death of him that dieth, saith the Lord GOD: wherefore turn yourselves, and live ye.(KJV-1611) Eze 18:32 Mwen pa ta renmen wè pesonn mouri. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:1 ============ Eze 19:1 Moreover take thou up a lamentation for the princes of Israel,(KJV-1611) Eze 19:1 Bondye pale avè m', li di m' konsa: -Koulye a, plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:2 ============ Eze 19:2 And say, What is thy mother? A lioness: she lay down among lions, she nourished her whelps among young lions.(KJV-1611) Eze 19:2 Men sa ou pral di: Apa yon manman lyon manman ou tè ye! Li kouche nan mitan lyon yo, l'ap okipe pitit li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:3 ============ Eze 19:3 And she brought up one of her whelps: it became a young lion, and it learned to catch the prey; it devoured men.(KJV-1611) Eze 19:3 Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:4 ============ Eze 19:4 The nations also heard of him; he was taken in their pit, and they brought him with chains unto the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 19:4 Men, lòt nasyon yo pran nouvèl la. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a. Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo trennen l' ale nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:5 ============ Eze 19:5 Now when she saw that she had waited, and her hope was lost, then she took another of her whelps, and made him a young lion.(KJV-1611) Eze 19:5 Manman lyon an tann, li tann jouk li pèdi espwa wè l' ankò. Li pran yon lòt nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:6 ============ Eze 19:6 And he went up and down among the lions, he became a young lion, and learned to catch the prey, and devoured men.(KJV-1611) Eze 19:6 Li t'ap pwonmennen nan mitan lòt lyon yo, li tounen yon jenn mal lyon. Li aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:7 ============ Eze 19:7 And he knew their desolate palaces, and he laid waste their cities; and the land was desolate, and the fulness thereof, by the noise of his roaring.(KJV-1611) Eze 19:7 Li demoli fò yo. Li sakaje lavil yo. Chak fwa li gwonde, moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:8 ============ Eze 19:8 Then the nations set against him on every side from the provinces, and spread their net over him: he was taken in their pit.(KJV-1611) Eze 19:8 Moun lòt nasyon yo leve dèyè l'. Moun soti toupatou nan pwovens bò kote l' yo, yo vin voye yon privye sou li. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:9 ============ Eze 19:9 And they put him in ward in chains, and brought him to the king of Babylon: they brought him into holds, that his voice should no more be heard upon the mountains of Israel.(KJV-1611) Eze 19:9 Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo fèmen l' nan yon kaj. Yo mennen l' bay wa Babilòn lan. Yo mete sòlda veye l' pou moun pa janm tande vwa l' ankò nan mòn peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:10 ============ Eze 19:10 Thy mother is like a vine in thy blood, planted by the waters: she was fruitful and full of branches by reason of many waters.(KJV-1611) Eze 19:10 Manman ou te tankou yon pye rezen plante bò kannal dlo. Pye rezen an te chaje ak fèy, li t'ap donnen anpil paske li te jwenn kont dlo li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:11 ============ Eze 19:11 And she had strong rods for the sceptres of them that bare rule, and her stature was exalted among the thick branches, and she appeared in her height with the multitude of her branches.(KJV-1611) Eze 19:11 Li pouse gwo branch. Branch yo tounen baton kòmandman wa. Pye rezen an grandi, li rive depase tèt tout lòt bwa yo. Tout moun t'ap gade jan li te wo, jan li te gen anpil branch.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:12 ============ Eze 19:12 But she was plucked up in fury, she was cast down to the ground, and the east wind dried up her fruit: her strong rods were broken and withered; the fire consumed them.(KJV-1611) Eze 19:12 Men, yo move sou li, yo derasinen l', yo jete l' atè. Van lès koule tout donn li yo, li kase tout gwo branch li yo. Branch yo cheche, yo boule nan dife.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:13 ============ Eze 19:13 And now she is planted in the wilderness, in a dry and thirsty ground.(KJV-1611) Eze 19:13 Koulye a, se nan yon dezè li kanpe, nan yon tè sèk san dlo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 19:14 ============ Eze 19:14 And fire is gone out of a rod of her branches, which hath devoured her fruit, so that she hath no strong rod to be a sceptre to rule. This is a lamentation, and shall be for a lamentation.(KJV-1611) Eze 19:14 Dife pran nan pye rezen an. Li boule ni branch li yo ni donn li yo. Li pa gen gwo branch ankò ki pou ta sèvi baton kòmandman pou wa. Sa a se yon chante pou yo chante anpil fwa pou plenn sò chèf peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:1 ============ Eze 20:1 And it came to pass in the seventh year, in the fifth month, the tenth day of the month, that certain of the elders of Israel came to enquire of the LORD, and sat before me.(KJV-1611) Eze 20:1 Lè sa a, se te dizyèm jou nan senkyèm mwa setyèm lanne depi yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn. De twa chèf fanmi nan pèp Izrayèl la vin jwenn mwen pou m' te ka pale ak Seyè a pou yo. Yo te chita devan m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:2 ============ Eze 20:2 Then came the word of the LORD unto me, saying,(KJV-1611) Eze 20:2 Lè sa a, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:3 ============ Eze 20:3 Son of man, speak unto the elders of Israel, and say unto them, Thus saith the Lord GOD; Are ye come to enquire of me? As I live, saith the Lord GOD, I will not be enquired of by you.(KJV-1611) Eze 20:3 -Nonm o! Pale ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou vin chache konnen volonte m', pa vre? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap kite moun mande m' anyen. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:4 ============ Eze 20:4 Wilt thou judge them, son of man, wilt thou judge them? cause them to know the abominations of their fathers:(KJV-1611) Eze 20:4 Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:5 ============ Eze 20:5 And say unto them, Thus saith the Lord GOD; In the day when I chose Israel, and lifted up mine hand unto the seed of the house of Jacob, and made myself known unto them in the land of Egypt, when I lifted up mine hand unto them, saying, I am the LORD your God;(KJV-1611) Eze 20:5 W'a di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Lè mwen te chwazi pèp Izrayèl la, moun fanmi Jakòb yo, mwen te fè sèman ba yo, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye lè yo te nan peyi Lejip la. Mwen te fè sèman ba yo, mwen te di yo se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:6 ============ Eze 20:6 In the day that I lifted up mine hand unto them, to bring them forth of the land of Egypt into a land that I had espied for them, flowing with milk and honey, which is the glory of all lands:(KJV-1611) Eze 20:6 Lè sa a, mwen te fè sèman m' t'ap fè yo soti kite Lejip la, m' t'ap mennen yo nan yon peyi mwen te chwazi pou yo, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule kou dlo, yon peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:7 ============ Eze 20:7 Then said I unto them, Cast ye away every man the abominations of his eyes, and defile not yourselves with the idols of Egypt: I am the LORD your God.(KJV-1611) Eze 20:7 Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:8 ============ Eze 20:8 But they rebelled against me, and would not hearken unto me: they did not every man cast away the abominations of their eyes, neither did they forsake the idols of Egypt: then I said, I will pour out my fury upon them, to accomplish my anger against them in the midst of the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 20:8 Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:9 ============ Eze 20:9 But I wrought for my name's sake, that it should not be polluted before the heathen, among whom they were, in whose sight I made myself known unto them, in bringing them forth out of the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 20:9 Men, mwen pa t' fè l' pou sa pa t' bay pèp peyi kote yo t'ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou, paske se devan tout pèp sa yo mwen te fè moun Izrayèl yo konnen mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:10 ============ Eze 20:10 Wherefore I caused them to go forth out of the land of Egypt, and brought them into the wilderness.(KJV-1611) Eze 20:10 Se konsa, mwen fè yo soti kite peyi Lejip. Mwen mennen yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:11 ============ Eze 20:11 And I gave them my statutes, and shewed them my judgments, which if a man do, he shall even live in them.(KJV-1611) Eze 20:11 Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:12 ============ Eze 20:12 Moreover also I gave them my sabbaths, to be a sign between me and them, that they might know that I am the LORD that sanctify them.(KJV-1611) Eze 20:12 Lèfini, mwen ba yo jou repo m' yo pou sa fè yo chonje kontra mwen siyen ak yo, pou yo pa janm bliye se mwen menm, Seyè a, k'ap fè yo viv apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:13 ============ Eze 20:13 But the house of Israel rebelled against me in the wilderness: they walked not in my statutes, and they despised my judgments, which if a man do, he shall even live in them; and my sabbaths they greatly polluted: then I said, I would pour out my fury upon them in the wilderness, to consume them.(KJV-1611) Eze 20:13 Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:14 ============ Eze 20:14 But I wrought for my name's sake, that it should not be polluted before the heathen, in whose sight I brought them out.(KJV-1611) Eze 20:14 Men, mwen pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:15 ============ Eze 20:15 Yet also I lifted up my hand unto them in the wilderness, that I would not bring them into the land which I had given them, flowing with milk and honey, which is the glory of all lands;(KJV-1611) Eze 20:15 Se konsa, mwen fè sèman nan dezè a mwen pa t'ap mennen yo nan peyi mwen te ba yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:16 ============ Eze 20:16 Because they despised my judgments, and walked not in my statutes, but polluted my sabbaths: for their heart went after their idols.(KJV-1611) Eze 20:16 Mwen te fè sèman sa a paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen te ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:17 ============ Eze 20:17 Nevertheless mine eye spared them from destroying them, neither did I make an end of them in the wilderness.(KJV-1611) Eze 20:17 Men apre sa, kè m' te fè m' mal pou yo, mwen pran desizyon mwen p'ap touye yo. Se konsa, mwen pa t' disparèt yo tout nan dezè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:18 ============ Eze 20:18 But I said unto their children in the wilderness, Walk ye not in the statutes of your fathers, neither observe their judgments, nor defile yourselves with their idols:(KJV-1611) Eze 20:18 Lè sa a, mwen pale ak pitit yo nan dezè a, mwen di yo: Pa mache dapre lòd granmoun lontan nou yo. Pa swiv menm prensip ak yo. Pa al avili tèt nou nan sèvis zidòl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:19 ============ Eze 20:19 I am the LORD your God; walk in my statutes, and keep my judgments, and do them;(KJV-1611) Eze 20:19 Se mwen menm, Seyè a, ki Bondye nou. Swiv prensip pa mwen yo, mache dapre lòd mwen bay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:20 ============ Eze 20:20 And hallow my sabbaths; and they shall be a sign between me and you, that ye may know that I am the LORD your God.(KJV-1611) Eze 20:20 Fè tou sa mwen di nou fè. Respekte jou repo m' yo pou fè wè nou kenbe kontra m' te siyen ak nou an. Konsa, moun va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:21 ============ Eze 20:21 Notwithstanding the children rebelled against me: they walked not in my statutes, neither kept my judgments to do them, which if a man do, he shall even live in them; they polluted my sabbaths: then I said, I would pour out my fury upon them, to accomplish my anger against them in the wilderness.(KJV-1611) Eze 20:21 Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:22 ============ Eze 20:22 Nevertheless I withdrew mine hand, and wrought for my name's sake, that it should not be polluted in the sight of the heathen, in whose sight I brought them forth.(KJV-1611) Eze 20:22 Men, mwen kenbe men m' pou m' pa fè l' pou sa pa t' bay pèp ki te wè lè m' t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:23 ============ Eze 20:23 I lifted up mine hand unto them also in the wilderness, that I would scatter them among the heathen, and disperse them through the countries;(KJV-1611) Eze 20:23 Men, fwa sa a ankò, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen fè sèman m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye nou nan divès peyi etranje.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:24 ============ Eze 20:24 Because they had not executed my judgments, but had despised my statutes, and had polluted my sabbaths, and their eyes were after their fathers' idols.(KJV-1611) Eze 20:24 Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:25 ============ Eze 20:25 Wherefore I gave them also statutes that were not good, and judgments whereby they should not live;(KJV-1611) Eze 20:25 Se konsa, mwen menm bò pa m', mwen ba yo lòd ki pa t' twò bon ak prensip ki pa bay lavi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:26 ============ Eze 20:26 And I polluted them in their own gifts, in that they caused to pass through the fire all that openeth the womb, that I might make them desolate, to the end that they might know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 20:26 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:27 ============ Eze 20:27 Therefore, son of man, speak unto the house of Israel, and say unto them, Thus saith the Lord GOD; Yet in this your fathers have blasphemed me, in that they have committed a trespass against me.(KJV-1611) Eze 20:27 Koulye a, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m' dega, yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:28 ============ Eze 20:28 For when I had brought them into the land, for the which I lifted up mine hand to give it to them, then they saw every high hill, and all the thick trees, and they offered there their sacrifices, and there they presented the provocation of their offering: there also they made their sweet savour, and poured out there their drink offerings.(KJV-1611) Eze 20:28 Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:29 ============ Eze 20:29 Then I said unto them, What is the high place whereunto ye go? And the name whereof is called Bamah unto this day.(KJV-1611) Eze 20:29 Mwen mande yo poukisa tout kay zidòl sa yo kote yo prale a? Depi lè sa a, yo rele kote sa yo Kay Zidòl jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:30 ============ Eze 20:30 Wherefore say unto the house of Israel, Thus saith the Lord GOD; Are ye polluted after the manner of your fathers? and commit ye whoredom after their abominations?(KJV-1611) Eze 20:30 Koulye a, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo?(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:31 ============ Eze 20:31 For when ye offer your gifts, when ye make your sons to pass through the fire, ye pollute yourselves with all your idols, even unto this day: and shall I be enquired of by you, O house of Israel? As I live, saith the Lord GOD, I will not be enquired of by you.(KJV-1611) Eze 20:31 Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:32 ============ Eze 20:32 And that which cometh into your mind shall not be at all, that ye say, We will be as the heathen, as the families of the countries, to serve wood and stone.(KJV-1611) Eze 20:32 Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:33 ============ Eze 20:33 As I live, saith the Lord GOD, surely with a mighty hand, and with a stretched out arm, and with fury poured out, will I rule over you:(KJV-1611) Eze 20:33 Jan nou konnen mwen vivan vre a! Se mwen menm, Seyè Sèl Mèt la, k'ap pale! Se mwen menm k'ap gouvènen nou. M'ap kenbe nou anba ponyèt mwen ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:34 ============ Eze 20:34 And I will bring you out from the people, and will gather you out of the countries wherein ye are scattered, with a mighty hand, and with a stretched out arm, and with fury poured out.(KJV-1611) Eze 20:34 Anba ponyèt mwen, ak tout fòs kouraj mwen, m'ap fè nou santi kòlè m', m'ap fè nou soti nan mitan lòt pèp yo. M'ap ranmase nou nan mitan tout peyi kote mwen te gaye nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:35 ============ Eze 20:35 And I will bring you into the wilderness of the people, and there will I plead with you face to face.(KJV-1611) Eze 20:35 M'ap mennen nou nan dezè nasyon yo. Se la m'ap jije nou san pesonn lòt p'ap wè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:36 ============ Eze 20:36 Like as I pleaded with your fathers in the wilderness of the land of Egypt, so will I plead with you, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 20:36 Lè sa a, m'ap kondannen nou menm jan mwen te kondannen zansèt nou yo nan dezè peyi Lejip la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:37 ============ Eze 20:37 And I will cause you to pass under the rod, and I will bring you into the bond of the covenant:(KJV-1611) Eze 20:37 M'ap kontwole nou tankou yon gadò k'ap kontwole mouton l' yo, m'ap fè nou obeyi kontra m' siyen ak nou an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:38 ============ Eze 20:38 And I will purge out from among you the rebels, and them that transgress against me: I will bring them forth out of the country where they sojourn, and they shall not enter into the land of Israel: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 20:38 M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:39 ============ Eze 20:39 As for you, O house of Israel, thus saith the Lord GOD; Go ye, serve ye every one his idols, and hereafter also, if ye will not hearken unto me: but pollute ye my holy name no more with your gifts, and with your idols.(KJV-1611) Eze 20:39 Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:40 ============ Eze 20:40 For in mine holy mountain, in the mountain of the height of Israel, saith the Lord GOD, there shall all the house of Israel, all of them in the land, serve me: there will I accept them, and there will I require your offerings, and the firstfruits of your oblations, with all your holy things.(KJV-1611) Eze 20:40 Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:41 ============ Eze 20:41 I will accept you with your sweet savour, when I bring you out from the people, and gather you out of the countries wherein ye have been scattered; and I will be sanctified in you before the heathen.(KJV-1611) Eze 20:41 Lè m'a fè nou soti nan mitan lòt pèp yo, lè m'a ranmase nou nan tout peyi kote mwen te gaye nou yo, m'a kontan resevwa nou ansanm ak ofrann bèt n'ap boule pou mwen pou fè m' plezi ak bon sant yo. N'a fè tout lòt nasyon yo konnen se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:42 ============ Eze 20:42 And ye shall know that I am the LORD, when I shall bring you into the land of Israel, into the country for the which I lifted up mine hand to give it to your fathers.(KJV-1611) Eze 20:42 Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl, peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:43 ============ Eze 20:43 And there shall ye remember your ways, and all your doings, wherein ye have been defiled; and ye shall lothe yourselves in your own sight for all your evils that ye have committed.(KJV-1611) Eze 20:43 Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:44 ============ Eze 20:44 And ye shall know that I am the LORD when I have wrought with you for my name's sake, not according to your wicked ways, nor according to your corrupt doings, O ye house of Israel, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 20:44 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske sa m'ap fè pou nou an se pou respè tèt mwen m'ap fè l'. Se pa sa lenkondite nou ak vye bagay derespektan nou fè yo merite. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:45 ============ Eze 20:45 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 20:45 Seyè a pale avè m' ankò, li di konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:46 ============ Eze 20:46 Son of man, set thy face toward the south, and drop thy word toward the south, and prophesy against the forest of the south field;(KJV-1611) Eze 20:46 -Nonm o! Voye je gade nan direksyon sid la. Denonse sa y'ap fè bò la. Bay mesaj sa a pou gwo rakbwa ki nan zòn Negèv la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:47 ============ Eze 20:47 And say to the forest of the south, Hear the word of the LORD; Thus saith the Lord GOD; Behold, I will kindle a fire in thee, and it shall devour every green tree in thee, and every dry tree: the flaming flame shall not be quenched, and all faces from the south to the north shall be burned therein.(KJV-1611) Eze 20:47 W'a di rakbwa Negèv la: Koute sa Seyè a di. Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Gade rakbwa! Mwen pral limen yon sèl dife ki pral boule dènye pyebwa ou genyen, kit yo vèt, kit yo chèch. Anyen p'ap ka touye dife sa a. L'ap gaye depi nan sid rive nan nò. Tout moun pral santi chalè dife a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:48 ============ Eze 20:48 And all flesh shall see that I the LORD have kindled it: it shall not be quenched.(KJV-1611) Eze 20:48 Tout moun pral wè se mwen menm, Seyè a, ki limen dife a. Anyen p'ap ka touye l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 20:49 ============ Eze 20:49 Then said I, Ah Lord GOD! they say of me, Doth he not speak parables?(KJV-1611) Eze 20:49 Lè sa a mwen di: -Aa! Seyè sèl Mèt mwen! Pa fè m' di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale!(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:1 ============ Eze 21:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 21:1 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:2 ============ Eze 21:2 Son of man, set thy face toward Jerusalem, and drop thy word toward the holy places, and prophesy against the land of Israel,(KJV-1611) Eze 21:2 -Nonm o! Vire figi ou gade nan direksyon lavil Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:3 ============ Eze 21:3 And say to the land of Israel, Thus saith the LORD; Behold, I am against thee, and will draw forth my sword out of his sheath, and will cut off from thee the righteous and the wicked.(KJV-1611) Eze 21:3 W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:4 ============ Eze 21:4 Seeing then that I will cut off from thee the righteous and the wicked, therefore shall my sword go forth out of his sheath against all flesh from the south to the north:(KJV-1611) Eze 21:4 Wi, mwen pral touye bon moun kou move moun nan peyi a. Se poutèt sa menm mwen pral rale nepe m' nan djenn li pou touye tout moun depi nan sid rive nan nò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:5 ============ Eze 21:5 That all flesh may know that I the LORD have drawn forth my sword out of his sheath: it shall not return any more.(KJV-1611) Eze 21:5 Tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rale nepe m' nan djenn li. Anyen p'ap ka fè m' mete l' nan plas li ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:6 ============ Eze 21:6 Sigh therefore, thou son of man, with the breaking of thy loins; and with bitterness sigh before their eyes.(KJV-1611) Eze 21:6 Men ou menm, nonm o! Se pou ou plenn paske kè ou ap fann, ou dekouraje. Wi, se pou ou plenn pou tout moun ka wè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:7 ============ Eze 21:7 And it shall be, when they say unto thee, Wherefore sighest thou? that thou shalt answer, For the tidings; because it cometh: and every heart shall melt, and all hands shall be feeble, and every spirit shall faint, and all knees shall be weak as water: behold, it cometh, and shall be brought to pass, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 21:7 Lè y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m' pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè l'a rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouraj yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:8 ============ Eze 21:8 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 21:8 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:9 ============ Eze 21:9 Son of man, prophesy, and say, Thus saith the LORD; Say, A sword, a sword is sharpened, and also furbished:(KJV-1611) Eze 21:9 -Nonm o! Bay mesaj sa a. Di pèp la men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di yo: Nepe a, nepe a! Men y'ap file l'. Men y'ap netwaye li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:10 ============ Eze 21:10 It is sharpened to make a sore slaughter; it is furbished that it may glitter: should we then make mirth? it contemneth the rod of my son, as every tree.(KJV-1611) Eze 21:10 Y'ap file l' pou touye moun. Y'ap netwaye li pou fè l' fè zèklè. Pa gen fè fèt ankò, paske pèp mwen an pa okipe avètisman ak pinisyon mwen te ba li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:11 ============ Eze 21:11 And he hath given it to be furbished, that it may be handled: this sword is sharpened, and it is furbished, to give it into the hand of the slayer.(KJV-1611) Eze 21:11 Wi, y'ap netwaye nepe a. Y'ap pare l' pou moun ka sèvi avè l'. Y'ap file l', y'ap netwaye l' pou yo mete l' nan men bouwo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:12 ============ Eze 21:12 Cry and howl, son of man: for it shall be upon my people, it shall be upon all the princes of Israel: terrors by reason of the sword shall be upon my people: smite therefore upon thy thigh.(KJV-1611) Eze 21:12 Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:13 ============ Eze 21:13 Because it is a trial, and what if the sword contemn even the rod? it shall be no more, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 21:13 N'ap sonde pèp la. Si yo derefize chanje, tout bagay sa yo ap rive vre! Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:14 ============ Eze 21:14 Thou therefore, son of man, prophesy, and smite thine hands together. and let the sword be doubled the third time, the sword of the slain: it is the sword of the great men that are slain, which entereth into their privy chambers.(KJV-1611) Eze 21:14 Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:15 ============ Eze 21:15 I have set the point of the sword against all their gates, that their heart may faint, and their ruins be multiplied: ah! it is made bright, it is wrapped up for the slaughter.(KJV-1611) Eze 21:15 L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouraj li, y'ap tonbe yonn sou lòt. Mwen mete nepe nan tout pòtay yo, yon nepe k'ap bay zèklè, yon nepe ki pare pou touye anpil moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:16 ============ Eze 21:16 Go thee one way or other, either on the right hand, or on the left, whithersoever thy face is set.(KJV-1611) Eze 21:16 Ou menm, nepe file, koupe sou bò dwat, koupe sou bò gòch. Kote ou vire, koupe!(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:17 ============ Eze 21:17 I will also smite mine hands together, and I will cause my fury to rest: I the LORD have said it.(KJV-1611) Eze 21:17 Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m' move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:18 ============ Eze 21:18 The word of the LORD came unto me again, saying,(KJV-1611) Eze 21:18 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:19 ============ Eze 21:19 Also, thou son of man, appoint thee two ways, that the sword of the king of Babylon may come: both twain shall come forth out of one land: and choose thou a place, choose it at the head of the way to the city.(KJV-1611) Eze 21:19 -Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l'. De chemen yo ap soti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a,(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:20 ============ Eze 21:20 Appoint a way, that the sword may come to Rabbath of the Ammonites, and to Judah in Jerusalem the defenced.(KJV-1611) Eze 21:20 yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:21 ============ Eze 21:21 For the king of Babylon stood at the parting of the way, at the head of the two ways, to use divination: he made his arrows bright, he consulted with images, he looked in the liver.(KJV-1611) Eze 21:21 Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:22 ============ Eze 21:22 At his right hand was the divination for Jerusalem, to appoint captains, to open the mouth in the slaughter, to lift up the voice with shouting, to appoint battering rams against the gates, to cast a mount, and to build a fort.(KJV-1611) Eze 21:22 Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:23 ============ Eze 21:23 And it shall be unto them as a false divination in their sight, to them that have sworn oaths: but he will call to remembrance the iniquity, that they may be taken.(KJV-1611) Eze 21:23 Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:24 ============ Eze 21:24 Therefore thus saith the Lord GOD; Because ye have made your iniquity to be remembered, in that your transgressions are discovered, so that in all your doings your sins do appear; because, I say, that ye are come to remembrance, ye shall be taken with the hand.(KJV-1611) Eze 21:24 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:25 ============ Eze 21:25 And thou, profane wicked prince of Israel, whose day is come, when iniquity shall have an end,(KJV-1611) Eze 21:25 Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:26 ============ Eze 21:26 Thus saith the Lord GOD; Remove the diadem, and take off the crown: this shall not be the same: exalt him that is low, and abase him that is high.(KJV-1611) Eze 21:26 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:27 ============ Eze 21:27 I will overturn, overturn, overturn, it: and it shall be no more, until he come whose right it is; and I will give it him.(KJV-1611) Eze 21:27 Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:28 ============ Eze 21:28 And thou, son of man, prophesy and say, Thus saith the Lord GOD concerning the Ammonites, and concerning their reproach; even say thou, The sword, the sword is drawn: for the slaughter it is furbished, to consume because of the glittering:(KJV-1611) Eze 21:28 -Nonm o! Bay mesaj la! Pale. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè l' fè zèklè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:29 ============ Eze 21:29 Whiles they see vanity unto thee, whiles they divine a lie unto thee, to bring thee upon the necks of them that are slain, of the wicked, whose day is come, when their iniquity shall have an end.(KJV-1611) Eze 21:29 Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:30 ============ Eze 21:30 Shall I cause it to return into his sheath? I will judge thee in the place where thou wast created, in the land of thy nativity.(KJV-1611) Eze 21:30 Remete nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:31 ============ Eze 21:31 And I will pour out mine indignation upon thee, I will blow against thee in the fire of my wrath, and deliver thee into the hand of brutish men, and skilful to destroy.(KJV-1611) Eze 21:31 M'ap fè ou santi jan m' move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 21:32 ============ Eze 21:32 Thou shalt be for fuel to the fire; thy blood shall be in the midst of the land; thou shalt be no more remembered: for I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 21:32 Dife pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pesonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:1 ============ Eze 22:1 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 22:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:2 ============ Eze 22:2 Now, thou son of man, wilt thou judge, wilt thou judge the bloody city? yea, thou shalt shew her all her abominations.(KJV-1611) Eze 22:2 -Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:3 ============ Eze 22:3 Then say thou, Thus saith the Lord GOD, The city sheddeth blood in the midst of it, that her time may come, and maketh idols against herself to defile herself.(KJV-1611) Eze 22:3 W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:4 ============ Eze 22:4 Thou art become guilty in thy blood that thou hast shed; and hast defiled thyself in thine idols which thou hast made; and thou hast caused thy days to draw near, and art come even unto thy years: therefore have I made thee a reproach unto the heathen, and a mocking to all countries.(KJV-1611) Eze 22:4 Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:5 ============ Eze 22:5 Those that be near, and those that be far from thee, shall mock thee, which art infamous and much vexed.(KJV-1611) Eze 22:5 Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:6 ============ Eze 22:6 Behold, the princes of Israel, every one were in thee to their power to shed blood.(KJV-1611) Eze 22:6 Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:7 ============ Eze 22:7 In thee have they set light by father and mother: in the midst of thee have they dealt by oppression with the stranger: in thee have they vexed the fatherless and the widow.(KJV-1611) Eze 22:7 Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:8 ============ Eze 22:8 Thou hast despised mine holy things, and hast profaned my sabbaths.(KJV-1611) Eze 22:8 Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:9 ============ Eze 22:9 In thee are men that carry tales to shed blood: and in thee they eat upon the mountains: in the midst of thee they commit lewdness.(KJV-1611) Eze 22:9 Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:10 ============ Eze 22:10 In thee have they discovered their fathers' nakedness: in thee have they humbled her that was set apart for pollution.(KJV-1611) Eze 22:10 Gen en k'ap kouche ak madanm papa yo. Gen en k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:11 ============ Eze 22:11 And one hath committed abomination with his neighbour's wife; and another hath lewdly defiled his daughter in law; and another in thee hath humbled his sister, his father's daughter.(KJV-1611) Eze 22:11 Gen en k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Gen en k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:12 ============ Eze 22:12 In thee have they taken gifts to shed blood; thou hast taken usury and increase, and thou hast greedily gained of thy neighbours by extortion, and hast forgotten me, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 22:12 Gen en k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:13 ============ Eze 22:13 Behold, therefore I have smitten mine hand at thy dishonest gain which thou hast made, and at thy blood which hath been in the midst of thee.(KJV-1611) Eze 22:13 Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:14 ============ Eze 22:14 Can thine heart endure, or can thine hands be strong, in the days that I shall deal with thee? I the LORD have spoken it, and will do it.(KJV-1611) Eze 22:14 Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:15 ============ Eze 22:15 And I will scatter thee among the heathen, and disperse thee in the countries, and will consume thy filthiness out of thee.(KJV-1611) Eze 22:15 M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:16 ============ Eze 22:16 And thou shalt take thine inheritance in thyself in the sight of the heathen, and thou shalt know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 22:16 Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:17 ============ Eze 22:17 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 22:17 Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:18 ============ Eze 22:18 Son of man, the house of Israel is to me become dross: all they are brass, and tin, and iron, and lead, in the midst of the furnace; they are even the dross of silver.(KJV-1611) Eze 22:18 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:19 ============ Eze 22:19 Therefore thus saith the Lord GOD; Because ye are all become dross, behold, therefore I will gather you into the midst of Jerusalem.(KJV-1611) Eze 22:19 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:20 ============ Eze 22:20 As they gather silver, and brass, and iron, and lead, and tin, into the midst of the furnace, to blow the fire upon it, to melt it; so will I gather you in mine anger and in my fury, and I will leave you there, and melt you.(KJV-1611) Eze 22:20 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:21 ============ Eze 22:21 Yea, I will gather you, and blow upon you in the fire of my wrath, and ye shall be melted in the midst therof.(KJV-1611) Eze 22:21 Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:22 ============ Eze 22:22 As silver is melted in the midst of the furnace, so shall ye be melted in the midst thereof; and ye shall know that I the LORD have poured out my fury upon you.(KJV-1611) Eze 22:22 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:23 ============ Eze 22:23 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 22:23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:24 ============ Eze 22:24 Son of man, say unto her, Thou art the land that is not cleansed, nor rained upon in the day of indignation.(KJV-1611) Eze 22:24 -Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:25 ============ Eze 22:25 There is a conspiracy of her prophets in the midst thereof, like a roaring lion ravening the prey; they have devoured souls; they have taken the treasure and precious things; they have made her many widows in the midst thereof.(KJV-1611) Eze 22:25 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:26 ============ Eze 22:26 Her priests have violated my law, and have profaned mine holy things: they have put no difference between the holy and profane, neither have they shewed difference between the unclean and the clean, and have hid their eyes from my sabbaths, and I am profaned among them.(KJV-1611) Eze 22:26 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:27 ============ Eze 22:27 Her princes in the midst thereof are like wolves ravening the prey, to shed blood, and to destroy souls, to get dishonest gain.(KJV-1611) Eze 22:27 Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:28 ============ Eze 22:28 And her prophets have daubed them with untempered morter, seeing vanity, and divining lies unto them, saying, Thus saith the Lord GOD, when the LORD hath not spoken.(KJV-1611) Eze 22:28 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:29 ============ Eze 22:29 The people of the land have used oppression, and exercised robbery, and have vexed the poor and needy: yea, they have oppressed the stranger wrongfully.(KJV-1611) Eze 22:29 Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:30 ============ Eze 22:30 And I sought for a man among them, that should make up the hedge, and stand in the gap before me for the land, that I should not destroy it: but I found none.(KJV-1611) Eze 22:30 Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 22:31 ============ Eze 22:31 Therefore have I poured out mine indignation upon them; I have consumed them with the fire of my wrath: their own way have I recompensed upon their heads, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 22:31 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:1 ============ Eze 23:1 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 23:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:2 ============ Eze 23:2 Son of man, there were two women, the daughters of one mother:(KJV-1611) Eze 23:2 -Nonm o! Vwala te gen de fi, pitit menm manman.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:3 ============ Eze 23:3 And they committed whoredoms in Egypt; they committed whoredoms in their youth: there were their breasts pressed, and there they bruised the teats of their virginity.(KJV-1611) Eze 23:3 Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:4 ============ Eze 23:4 And the names of them were Aholah the elder, and Aholibah her sister: and they were mine, and they bare sons and daughters. Thus were their names; Samaria is Aholah, and Jerusalem Aholibah.(KJV-1611) Eze 23:4 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:5 ============ Eze 23:5 And Aholah played the harlot when she was mine; and she doted on her lovers, on the Assyrians her neighbours,(KJV-1611) Eze 23:5 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:6 ============ Eze 23:6 Which were clothed with blue, captains and rulers, all of them desirable young men, horsemen riding upon horses.(KJV-1611) Eze 23:6 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:7 ============ Eze 23:7 Thus she committed her whoredoms with them, with all them that were the chosen men of Assyria, and with all on whom she doted: with all their idols she defiled herself.(KJV-1611) Eze 23:7 Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:8 ============ Eze 23:8 Neither left she her whoredoms brought from Egypt: for in her youth they lay with her, and they bruised the breasts of her virginity, and poured their whoredom upon her.(KJV-1611) Eze 23:8 Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:9 ============ Eze 23:9 Wherefore I have delivered her into the hand of her lovers, into the hand of the Assyrians, upon whom she doted.(KJV-1611) Eze 23:9 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa!(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:10 ============ Eze 23:10 These discovered her nakedness: they took her sons and her daughters, and slew her with the sword: and she became famous among women; for they had executed judgment upon her.(KJV-1611) Eze 23:10 Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:11 ============ Eze 23:11 And when her sister Aholibah saw this, she was more corrupt in her inordinate love than she, and in her whoredoms more than her sister in her whoredoms.(KJV-1611) Eze 23:11 Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:12 ============ Eze 23:12 She doted upon the Assyrians her neighbours, captains and rulers clothed most gorgeously, horsemen riding upon horses, all of them desirable young men.(KJV-1611) Eze 23:12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:13 ============ Eze 23:13 Then I saw that she was defiled, that they took both one way,(KJV-1611) Eze 23:13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:14 ============ Eze 23:14 And that she increased her whoredoms: for when she saw men pourtrayed upon the wall, the images of the Chaldeans pourtrayed with vermilion,(KJV-1611) Eze 23:14 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:15 ============ Eze 23:15 Girded with girdles upon their loins, exceeding in dyed attire upon their heads, all of them princes to look to, after the manner of the Babylonians of Chaldea, the land of their nativity:(KJV-1611) Eze 23:15 Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:16 ============ Eze 23:16 And as soon as she saw them with her eyes, she doted upon them, and sent messengers unto them into Chaldea.(KJV-1611) Eze 23:16 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:17 ============ Eze 23:17 And the Babylonians came to her into the bed of love, and they defiled her with their whoredom, and she was polluted with them, and her mind was alienated from them.(KJV-1611) Eze 23:17 Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:18 ============ Eze 23:18 So she discovered her whoredoms, and discovered her nakedness: then my mind was alienated from her, like as my mind was alienated from her sister.(KJV-1611) Eze 23:18 Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:19 ============ Eze 23:19 Yet she multiplied her whoredoms, in calling to remembrance the days of her youth, wherein she had played the harlot in the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 23:19 Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:20 ============ Eze 23:20 For she doted upon their paramours, whose flesh is as the flesh of asses, and whose issue is like the issue of horses.(KJV-1611) Eze 23:20 Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:21 ============ Eze 23:21 Thus thou calledst to remembrance the lewdness of thy youth, in bruising thy teats by the Egyptians for the paps of thy youth.(KJV-1611) Eze 23:21 Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:22 ============ Eze 23:22 Therefore, O Aholibah, thus saith the Lord GOD; Behold, I will raise up thy lovers against thee, from whom thy mind is alienated, and I will bring them against thee on every side;(KJV-1611) Eze 23:22 Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:23 ============ Eze 23:23 The Babylonians, and all the Chaldeans, Pekod, and Shoa, and Koa, and all the Assyrians with them: all of them desirable young men, captains and rulers, great lords and renowned, all of them riding upon horses.(KJV-1611) Eze 23:23 Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:24 ============ Eze 23:24 And they shall come against thee with chariots, wagons, and wheels, and with an assembly of people, which shall set against thee buckler and shield and helmet round about: and I will set judgment before them, and they shall judge thee according to their judgments.(KJV-1611) Eze 23:24 Y'ap soti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M' pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:25 ============ Eze 23:25 And I will set my jealousy against thee, and they shall deal furiously with thee: they shall take away thy nose and thine ears; and thy remnant shall fall by the sword: they shall take thy sons and thy daughters; and thy residue shall be devoured by the fire.(KJV-1611) Eze 23:25 Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:26 ============ Eze 23:26 They shall also strip thee out of thy clothes, and take away thy fair jewels.(KJV-1611) Eze 23:26 Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:27 ============ Eze 23:27 Thus will I make thy lewdness to cease from thee, and thy whoredom brought from the land of Egypt: so that thou shalt not lift up thine eyes unto them, nor remember Egypt any more.(KJV-1611) Eze 23:27 M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:28 ============ Eze 23:28 For thus saith the Lord GOD; Behold, I will deliver thee into the hand of them whom thou hatest, into the hand of them from whom thy mind is alienated:(KJV-1611) Eze 23:28 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:29 ============ Eze 23:29 And they shall deal with thee hatefully, and shall take away all thy labour, and shall leave thee naked and bare: and the nakedness of thy whoredoms shall be discovered, both thy lewdness and thy whoredoms.(KJV-1611) Eze 23:29 Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou yo(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:30 ============ Eze 23:30 I will do these things unto thee, because thou hast gone a whoring after the heathen, and because thou art polluted with their idols.(KJV-1611) Eze 23:30 ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:31 ============ Eze 23:31 Thou hast walked in the way of thy sister; therefore will I give her cup into thine hand.(KJV-1611) Eze 23:31 Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:32 ============ Eze 23:32 Thus saith the Lord GOD; Thou shalt drink of thy sister's cup deep and large: thou shalt be laughed to scorn and had in derision; it containeth much.(KJV-1611) Eze 23:32 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Ou pral bwè nan gode sè ou la, yon gode byen fon. Tout moun pral pase ou nan betiz, nan rizib. Gode a plen ra bò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:33 ============ Eze 23:33 Thou shalt be filled with drunkenness and sorrow, with the cup of astonishment and desolation, with the cup of thy sister Samaria.(KJV-1611) Eze 23:33 Li pral fè ou sou. W'ap an mal makak. Se yon gode k'ap fè moun pè, yon gode k'ap fini avè ou, gode Samari, sè ou la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:34 ============ Eze 23:34 Thou shalt even drink it and suck it out, and thou shalt break the sherds thereof, and pluck off thine own breasts: for I have spoken it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 23:34 W'ap bwè tout, w'ap kite l' vid. Lèfini, w'ap kraze l' anba dan ou! Moso yo pral filange tete ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:35 ============ Eze 23:35 Therefore thus saith the Lord GOD; Because thou hast forgotten me, and cast me behind thy back, therefore bear thou also thy lewdness and thy whoredoms.(KJV-1611) Eze 23:35 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:36 ============ Eze 23:36 The LORD said moreover unto me; Son of man, wilt thou judge Aholah and Aholibah? yea, declare unto them their abominations;(KJV-1611) Eze 23:36 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:37 ============ Eze 23:37 That they have committed adultery, and blood is in their hands, and with their idols have they committed adultery, and have also caused their sons, whom they bare unto me, to pass for them through the fire, to devour them.(KJV-1611) Eze 23:37 Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:38 ============ Eze 23:38 Moreover this they have done unto me: they have defiled my sanctuary in the same day, and have profaned my sabbaths.(KJV-1611) Eze 23:38 Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:39 ============ Eze 23:39 For when they had slain their children to their idols, then they came the same day into my sanctuary to profane it; and, lo, thus have they done in the midst of mine house.(KJV-1611) Eze 23:39 Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:40 ============ Eze 23:40 And furthermore, that ye have sent for men to come from far, unto whom a messenger was sent; and, lo, they came: for whom thou didst wash thyself, paintedst thy eyes, and deckedst thyself with ornaments,(KJV-1611) Eze 23:40 Sa ki pi rèd ankò, yo voye mesaje al envite gason soti byen lwen vin jwenn yo. Mesye yo vini. De sè yo benyen byen pwòp, yo pentire je yo. Yo mete bijou yo sou yo pou resevwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:41 ============ Eze 23:41 And satest upon a stately bed, and a table prepared before it, whereupon thou hast set mine incense and mine oil.(KJV-1611) Eze 23:41 Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:42 ============ Eze 23:42 And a voice of a multitude being at ease was with her: and with the men of the common sort were brought Sabeans from the wilderness, which put bracelets upon their hands, and beautiful crowns upon their heads.(KJV-1611) Eze 23:42 Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:43 ============ Eze 23:43 Then said I unto her that was old in adulteries, Will they now commit whoredoms with her, and she with them?(KJV-1611) Eze 23:43 Mwen di nan kè m': Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:44 ============ Eze 23:44 Yet they went in unto her, as they go in unto a woman that playeth the harlot: so went they in unto Aholah and unto Aholibah, the lewd women.(KJV-1611) Eze 23:44 Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:45 ============ Eze 23:45 And the righteous men, they shall judge them after the manner of adulteresses, and after the manner of women that shed blood; because they are adulteresses, and blood is in their hands.(KJV-1611) Eze 23:45 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:46 ============ Eze 23:46 For thus saith the Lord GOD; I will bring up a company upon them, and will give them to be removed and spoiled.(KJV-1611) Eze 23:46 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen!(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:47 ============ Eze 23:47 And the company shall stone them with stones, and dispatch them with their swords; they shall slay their sons and their daughters, and burn up their houses with fire.(KJV-1611) Eze 23:47 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:48 ============ Eze 23:48 Thus will I cause lewdness to cease out of the land, that all women may be taught not to do after your lewdness.(KJV-1611) Eze 23:48 Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 23:49 ============ Eze 23:49 And they shall recompense your lewdness upon you, and ye shall bear the sins of your idols: and ye shall know that I am the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 23:49 Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:1 ============ Eze 24:1 Again in the ninth year, in the tenth month, in the tenth day of the month, the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 24:1 Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:2 ============ Eze 24:2 Son of man, write thee the name of the day, even of this same day: the king of Babylon set himself against Jerusalem this same day.(KJV-1611) Eze 24:2 -Nonm o! Ekri dat jòdi a, paske se jòdi a wa peyi Babilòn lan pral sènen lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:3 ============ Eze 24:3 And utter a parable unto the rebellious house, and say unto them, Thus saith the Lord GOD; Set on a pot, set it on, and also pour water into it:(KJV-1611) Eze 24:3 Ou pral bay yon pawoli sou move ras moun sa yo ki gen tèt di. W'a di yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Mete yon chodyè sou dife, plen l' dlo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:4 ============ Eze 24:4 Gather the pieces thereof into it, even every good piece, the thigh, and the shoulder; fill it with the choice bones.(KJV-1611) Eze 24:4 Mete vyann ladan l', pi bon moso vyann ou konnen: jigo ak zepòl. Mete bon moso zo ladan l' tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:5 ============ Eze 24:5 Take the choice of the flock, and burn also the bones under it, and make it boil well, and let them seethe the bones of it therein.(KJV-1611) Eze 24:5 W'a pran yo nan mouton ki pi gra yo. Mete bon bwa anba chodyè a. Kite dlo a bouyi byen bouyi jouk vyann lan ak zo yo byen kwit.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:6 ============ Eze 24:6 Wherefore thus saith the Lord GOD; Woe to the bloody city, to the pot whose scum is therein, and whose scum is not gone out of it! bring it out piece by piece; let no lot fall upon it.(KJV-1611) Eze 24:6 Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:7 ============ Eze 24:7 For her blood is in the midst of her; she set it upon the top of a rock; she poured it not upon the ground, to cover it with dust;(KJV-1611) Eze 24:7 Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:8 ============ Eze 24:8 That it might cause fury to come up to take vengeance; I have set her blood upon the top of a rock, that it should not be covered.(KJV-1611) Eze 24:8 Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l', pou l' ka mande revanj paske sa fè m' fache anpil.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:9 ============ Eze 24:9 Therefore thus saith the Lord GOD; Woe to the bloody city! I will even make the pile for fire great.(KJV-1611) Eze 24:9 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:10 ============ Eze 24:10 Heap on wood, kindle the fire, consume the flesh, and spice it well, and let the bones be burned.(KJV-1611) Eze 24:10 Pote bwa an kantite toujou! Limen dife a! Kwit vyann yo byen kwit! Mete zepis ladan l'! Boule zo yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:11 ============ Eze 24:11 Then set it empty upon the coals thereof, that the brass of it may be hot, and may burn, and that the filthiness of it may be molten in it, that the scum of it may be consumed.(KJV-1611) Eze 24:11 Mete chodyè fè a tou vid sou chabon dife yo. Kite l' vin tou wouj. Konsa lawouj la va tonbe, l'a dekale. Chodyè a va vin pwòp ankò pou l' ka sèvi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:12 ============ Eze 24:12 She hath wearied herself with lies, and her great scum went not forth out of her: her scum shall be in the fire.(KJV-1611) Eze 24:12 Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin soti nèt nan dife a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:13 ============ Eze 24:13 In thy filthiness is lewdness: because I have purged thee, and thou wast not purged, thou shalt not be purged from thy filthiness any more, till I have caused my fury to rest upon thee.(KJV-1611) Eze 24:13 Jerizalèm, lawouj la se vye malpwòpte ou t'ap fè nan libètinaj ou yo. Mwen te soti pou m' te mete ou nan bon kondisyon, men ou pa rive fin nan bon kondisyon an nèt. Se poutèt sa, ou p'ap janm nan bon kondisyon ankò toutotan mwen pa fè ou santi tou sa mwen ka fè ou nan kòlè mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:14 ============ Eze 24:14 I the LORD have spoken it: it shall come to pass, and I will do it; I will not go back, neither will I spare, neither will I repent; according to thy ways, and according to thy doings, shall they judge thee, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 24:14 Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:15 ============ Eze 24:15 Also the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 24:15 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:16 ============ Eze 24:16 Son of man, behold, I take away from thee the desire of thine eyes with a stroke: yet neither shalt thou mourn nor weep, neither shall thy tears run down.(KJV-1611) Eze 24:16 -Nonm o! Mwen pral rete konsa, mwen pral pran moun ou renmen tankou de grenn je nan tèt ou a. Men, pa plenyen, pa rele, pa kite dlo sot nan je ou!(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:17 ============ Eze 24:17 Forbear to cry, make no mourning for the dead, bind the tire of thine head upon thee, and put on thy shoes upon thy feet, and cover not thy lips, and eat not the bread of men.(KJV-1611) Eze 24:17 Plenn sò ou. Men, pa kite moun tande ou! Pa fè anyen ki pou moutre ou nan lapenn tankou yon moun ki gen lanmò. Mare bèl foula ou nan tèt ou. Mete sapat nan pye ou. Pa kouvri figi ou. Pa manje manje moun voye ba ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:18 ============ Eze 24:18 So I spake unto the people in the morning: and at even my wife died; and I did in the morning as I was commanded.(KJV-1611) Eze 24:18 Jou sa a nan maten, mwen t'ap pale ak pèp la. Nan aswè, madanm mwen rete konsa, li mouri. Nan denmen maten, mwen fè jan Seyè a te di m' fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:19 ============ Eze 24:19 And the people said unto me, Wilt thou not tell us what these things are to us, that thou doest so?(KJV-1611) Eze 24:19 Pèp la mande m': -Eske ou ka di nou poukisa ou fè sa w'ap fè la a?(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:20 ============ Eze 24:20 Then I answered them, The word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 24:20 Mwen reponn yo: -Seyè a te pale avè m', li te di m',(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:21 ============ Eze 24:21 Speak unto the house of Israel, Thus saith the Lord GOD; Behold, I will profane my sanctuary, the excellency of your strength, the desire of your eyes, and that which your soul pitieth; and your sons and your daughters whom ye have left shall fall by the sword.(KJV-1611) Eze 24:21 pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:22 ============ Eze 24:22 And ye shall do as I have done: ye shall not cover your lips, nor eat the bread of men.(KJV-1611) Eze 24:22 Lè sa a, n'a fè jan nou wè m' fè a. Nou p'ap kouvri figi nou, nou p'ap manje pen nan men moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:23 ============ Eze 24:23 And your tires shall be upon your heads, and your shoes upon your feet: ye shall not mourn nor weep; but ye shall pine away for your iniquities, and mourn one toward another.(KJV-1611) Eze 24:23 N'ap toujou mare bèl foula nan tèt nou. N'ap toujou mete sapat nan pye nou, nou p'ap rele, nou p'ap kriye jan moun yo fè lè yo gen lanmò. Men, nou pral deperi akòz mechanste nou yo. Nou pral plenn sò nou yonn bay lòt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:24 ============ Eze 24:24 Thus Ezekiel is unto you a sign: according to all that he hath done shall ye do: and when this cometh, ye shall know that I am the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 24:24 Ezekyèl menm pral yon siy pou nou. N'a fè menm jan li te fè a. Lè bagay sa a va rive, n'a konnen se mwen menm ki Seyè sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:25 ============ Eze 24:25 Also, thou son of man, shall it not be in the day when I take from them their strength, the joy of their glory, the desire of their eyes, and that whereupon they set their minds, their sons and their daughters,(KJV-1611) Eze 24:25 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! M'ap wete nan men yo kay byen solid ki te tout pwoteksyon yo a, bèl kay ki te fè kè yo kontan an, kay yo te renmen tankou de grenn je nan tèt yo a, kay yo te fèb anpil pou li a. M'ap wete l' ansanm ak pitit gason ak pitit fi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:26 ============ Eze 24:26 That he that escapeth in that day shall come unto thee, to cause thee to hear it with thine ears?(KJV-1611) Eze 24:26 Jou sa a, yon moun va chape kò l', l'a kouri vin pote nouvèl la ba ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 24:27 ============ Eze 24:27 In that day shall thy mouth be opened to him which is escaped, and thou shalt speak, and be no more dumb: and thou shalt be a sign unto them; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 24:27 Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:1 ============ Eze 25:1 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 25:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:2 ============ Eze 25:2 Son of man, set thy face against the Ammonites, and prophesy against them;(KJV-1611) Eze 25:2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:3 ============ Eze 25:3 And say unto the Ammonites, Hear the word of the Lord GOD; Thus saith the Lord GOD; Because thou saidst, Aha, against my sanctuary, when it was profaned; and against the land of Israel, when it was desolate; and against the house of Judah, when they went into captivity;(KJV-1611) Eze 25:3 W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:4 ============ Eze 25:4 Behold, therefore I will deliver thee to the men of the east for a possession, and they shall set their palaces in thee, and make their dwellings in thee: they shall eat thy fruit, and they shall drink thy milk.(KJV-1611) Eze 25:4 Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:5 ============ Eze 25:5 And I will make Rabbah a stable for camels, and the Ammonites a couching place for flocks: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 25:5 M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:6 ============ Eze 25:6 For thus saith the Lord GOD; Because thou hast clapped thine hands, and stamped with the feet, and rejoiced in heart with all thy despite against the land of Israel;(KJV-1611) Eze 25:6 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:7 ============ Eze 25:7 Behold, therefore I will stretch out mine hand upon thee, and will deliver thee for a spoil to the heathen; and I will cut thee off from the people, and I will cause thee to perish out of the countries: I will destroy thee; and thou shalt know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 25:7 Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:8 ============ Eze 25:8 Thus saith the Lord GOD; Because that Moab and Seir do say, Behold, the house of Judah is like unto all the heathen;(KJV-1611) Eze 25:8 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:9 ============ Eze 25:9 Therefore, behold, I will open the side of Moab from the cities, from his cities which are on his frontiers, the glory of the country, Bethjeshimoth, Baalmeon, and Kiriathaim,(KJV-1611) Eze 25:9 Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:10 ============ Eze 25:10 Unto the men of the east with the Ammonites, and will give them in possession, that the Ammonites may not be remembered among the nations.(KJV-1611) Eze 25:10 M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:11 ============ Eze 25:11 And I will execute judgments upon Moab; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 25:11 Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:12 ============ Eze 25:12 Thus saith the Lord GOD; Because that Edom hath dealt against the house of Judah by taking vengeance, and hath greatly offended, and revenged himself upon them;(KJV-1611) Eze 25:12 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:13 ============ Eze 25:13 Therefore thus saith the Lord GOD; I will also stretch out mine hand upon Edom, and will cut off man and beast from it; and I will make it desolate from Teman; and they of Dedan shall fall by the sword.(KJV-1611) Eze 25:13 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:14 ============ Eze 25:14 And I will lay my vengeance upon Edom by the hand of my people Israel: and they shall do in Edom according to mine anger and according to my fury; and they shall know my vengeance, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 25:14 Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:15 ============ Eze 25:15 Thus saith the Lord GOD; Because the Philistines have dealt by revenge, and have taken vengeance with a despiteful heart, to destroy it for the old hatred;(KJV-1611) Eze 25:15 Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:16 ============ Eze 25:16 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I will stretch out mine hand upon the Philistines, and I will cut off the Cherethims, and destroy the remnant of the sea coast.(KJV-1611) Eze 25:16 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 25:17 ============ Eze 25:17 And I will execute great vengeance upon them with furious rebukes; and they shall know that I am the LORD, when I shall lay my vengeance upon them.(KJV-1611) Eze 25:17 Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:1 ============ Eze 26:1 And it came to pass in the eleventh year, in the first day of the month, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 26:1 Nan premye jou mwa a nan onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:2 ============ Eze 26:2 Son of man, because that Tyrus hath said against Jerusalem, Aha, she is broken that was the gates of the people: she is turned unto me: I shall be replenished, now she is laid waste:(KJV-1611) Eze 26:2 -Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:3 ============ Eze 26:3 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I am against thee, O Tyrus, and will cause many nations to come up against thee, as the sea causeth his waves to come up.(KJV-1611) Eze 26:3 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir. Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou. Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:4 ============ Eze 26:4 And they shall destroy the walls of Tyrus, and break down her towers: I will also scrape her dust from her, and make her like the top of a rock.(KJV-1611) Eze 26:4 Yo pral kraze miray ranpa lavil yo. Y'ap demoli gwo fò won yo. Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale. M'ap kite wòch yo griyen konsa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:5 ============ Eze 26:5 It shall be a place for the spreading of nets in the midst of the sea: for I have spoken it, saith the Lord GOD: and it shall become a spoil to the nations.(KJV-1611) Eze 26:5 Pechè yo pral mete senn cheche sou yo, la kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa. Nasyon yo pral piye lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:6 ============ Eze 26:6 And her daughters which are in the field shall be slain by the sword; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 26:6 Yo pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe. Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:7 ============ Eze 26:7 For thus saith the Lord GOD; Behold, I will bring upon Tyrus Nebuchadrezzar king of Babylon, a king of kings, from the north, with horses, and with chariots, and with horsemen, and companies, and much people.(KJV-1611) Eze 26:7 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Mwen pral voye Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir. L'ap soti nan nò avèk chwal, cha lagè, kavalye ak yon gwo lame sòlda.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:8 ============ Eze 26:8 He shall slay with the sword thy daughters in the field: and he shall make a fort against thee, and cast a mount against thee, and lift up the buckler against thee.(KJV-1611) Eze 26:8 Li pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a. Li pral fouye gwo kannal, li pral anpile ranblè tout arebò ou. Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:9 ============ Eze 26:9 And he shall set engines of war against thy walls, and with his axes he shall break down thy towers.(KJV-1611) Eze 26:9 Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto. Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:10 ============ Eze 26:10 By reason of the abundance of his horses their dust shall cover thee: thy walls shall shake at the noise of the horsemen, and of the wheels, and of the chariots, when he shall enter into thy gates, as men enter into a city wherein is made a breach.(KJV-1611) Eze 26:10 Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:11 ============ Eze 26:11 With the hoofs of his horses shall he tread down all thy streets: he shall slay thy people by the sword, and thy strong garrisons shall go down to the ground.(KJV-1611) Eze 26:11 Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo. L'ap fè yo touye tout moun ak nepe. Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:12 ============ Eze 26:12 And they shall make a spoil of thy riches, and make a prey of thy merchandise: and they shall break down thy walls, and destroy thy pleasant houses: and they shall lay thy stones and thy timber and thy dust in the midst of the water.(KJV-1611) Eze 26:12 Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:13 ============ Eze 26:13 And I will cause the noise of thy songs to cease; and the sound of thy harps shall be no more heard.(KJV-1611) Eze 26:13 M'ap fè nou sispann chante. Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:14 ============ Eze 26:14 And I will make thee like the top of a rock: thou shalt be a place to spread nets upon; thou shalt be built no more: for I the LORD have spoken it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 26:14 Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch, se la pechè yo pral cheche senn yo. Yo p'ap janm rebati lavil la ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:15 ============ Eze 26:15 Thus saith the Lord GOD to Tyrus; Shall not the isles shake at the sound of thy fall, when the wounded cry, when the slaughter is made in the midst of thee?(KJV-1611) Eze 26:15 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:16 ============ Eze 26:16 Then all the princes of the sea shall come down from their thrones, and lay away their robes, and put off their broidered garments: they shall clothe themselves with trembling; they shall sit upon the ground, and shall tremble at every moment, and be astonished at thee.(KJV-1611) Eze 26:16 Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:17 ============ Eze 26:17 And they shall take up a lamentation for thee, and say to thee, How art thou destroyed, that wast inhabited of seafaring men, the renowned city, which wast strong in the sea, she and her inhabitants, which cause their terror to be on all that haunt it!(KJV-1611) Eze 26:17 Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: -Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l' yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:18 ============ Eze 26:18 Now shall the isles tremble in the day of thy fall; yea, the isles that are in the sea shall be troubled at thy departure.(KJV-1611) Eze 26:18 Koulye a, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo. Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a p'ap konn sa pou yo fè lè y'a wè jan ou fini an!(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:19 ============ Eze 26:19 For thus saith the Lord GOD; When I shall make thee a desolate city, like the cities that are not inhabited; when I shall bring up the deep upon thee, and great waters shall cover thee;(KJV-1611) Eze 26:19 Paske, men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete. M'ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou, l'ap kouvri ou nèt ale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:20 ============ Eze 26:20 When I shall bring thee down with them that descend into the pit, with the people of old time, and shall set thee in the low parts of the earth, in places desolate of old, with them that go down to the pit, that thou be not inhabited; and I shall set glory in the land of the living;(KJV-1611) Eze 26:20 M'ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 26:21 ============ Eze 26:21 I will make thee a terror, and thou shalt be no more: though thou be sought for, yet shalt thou never be found again, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 26:21 Mwen pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n'a fini. Moun va chache nou, men yo p'ap janm jwenn nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:1 ============ Eze 27:1 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 27:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:2 ============ Eze 27:2 Now, thou son of man, take up a lamentation for Tyrus;(KJV-1611) Eze 27:2 -Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:3 ============ Eze 27:3 And say unto Tyrus, O thou that art situate at the entry of the sea, which art a merchant of the people for many isles, Thus saith the Lord GOD; O Tyrus, thou hast said, I am of perfect beauty.(KJV-1611) Eze 27:3 W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an!(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:4 ============ Eze 27:4 Thy borders are in the midst of the seas, thy builders have perfected thy beauty.(KJV-1611) Eze 27:4 Fwontyè nou rive jouk nan mitan lanmè. Moun ki bati lavil la te bati l' tankou yon bèl batiman.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:5 ============ Eze 27:5 They have made all thy ship boards of fir trees of Senir: they have taken cedars from Lebanon to make masts for thee.(KJV-1611) Eze 27:5 Yo te pran bwapen sou mòn Seni fè planch pou sèvi bòday nou yo. Yo pran yon bwa sèd peyi Liban pou fè ma pou nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:6 ============ Eze 27:6 Of the oaks of Bashan have they made thine oars; the company of the Ashurites have made thy benches of ivory, brought out of the isles of Chittim.(KJV-1611) Eze 27:6 Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:7 ============ Eze 27:7 Fine linen with broidered work from Egypt was that which thou spreadest forth to be thy sail; blue and purple from the isles of Elishah was that which covered thee.(KJV-1611) Eze 27:7 Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:8 ============ Eze 27:8 The inhabitants of Zidon and Arvad were thy mariners: thy wise men, O Tyrus, that were in thee, were thy pilots.(KJV-1611) Eze 27:8 Se gason ki soti lavil Sidon ak lavil Avad k'ap naje zaviwon pou ou. Men, se moun lavil la menm ki te fò anpil nan lamarin ki te maren sou batiman an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:9 ============ Eze 27:9 The ancients of Gebal and the wise men thereof were in thee thy calkers: all the ships of the sea with their mariners were in thee to occupy thy merchandise.(KJV-1611) Eze 27:9 Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:10 ============ Eze 27:10 They of Persia and of Lud and of Phut were in thine army, thy men of war: they hanged the shield and helmet in thee; they set forth thy comeliness.(KJV-1611) Eze 27:10 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:11 ============ Eze 27:11 The men of Arvad with thine army were upon thy walls round about, and the Gammadims were in thy towers: they hanged their shields upon thy walls round about; they have made thy beauty perfect.(KJV-1611) Eze 27:11 Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t'ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:12 ============ Eze 27:12 Tarshish was thy merchant by reason of the multitude of all kind of riches; with silver, iron, tin, and lead, they traded in thy fairs.(KJV-1611) Eze 27:12 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:13 ============ Eze 27:13 Javan, Tubal, and Meshech, they were thy merchants: they traded the persons of men and vessels of brass in thy market.(KJV-1611) Eze 27:13 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:14 ============ Eze 27:14 They of the house of Togarmah traded in thy fairs with horses and horsemen and mules.(KJV-1611) Eze 27:14 Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:15 ============ Eze 27:15 The men of Dedan were thy merchants; many isles were the merchandise of thine hand: they brought thee for a present horns of ivory and ebony.(KJV-1611) Eze 27:15 Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:16 ============ Eze 27:16 Syria was thy merchant by reason of the multitude of the wares of thy making: they occupied in thy fairs with emeralds, purple, and broidered work, and fine linen, and coral, and agate.(KJV-1611) Eze 27:16 Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:17 ============ Eze 27:17 Judah, and the land of Israel, they were thy merchants: they traded in thy market wheat of Minnith, and Pannag, and honey, and oil, and balm.(KJV-1611) Eze 27:17 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:18 ============ Eze 27:18 Damascus was thy merchant in the multitude of the wares of thy making, for the multitude of all riches; in the wine of Helbon, and white wool.(KJV-1611) Eze 27:18 Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:19 ============ Eze 27:19 Dan also and Javan going to and fro occupied in thy fairs: bright iron, cassia, and calamus, were in thy market.(KJV-1611) Eze 27:19 Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:20 ============ Eze 27:20 Dedan was thy merchant in precious clothes for chariots.(KJV-1611) Eze 27:20 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:21 ============ Eze 27:21 Arabia, and all the princes of Kedar, they occupied with thee in lambs, and rams, and goats: in these were they thy merchants.(KJV-1611) Eze 27:21 Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:22 ============ Eze 27:22 The merchants of Sheba and Raamah, they were thy merchants: they occupied in thy fairs with chief of all spices, and with all precious stones, and gold.(KJV-1611) Eze 27:22 Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:23 ============ Eze 27:23 Haran, and Canneh, and Eden, the merchants of Sheba, Asshur, and Chilmad, were thy merchants.(KJV-1611) Eze 27:23 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:24 ============ Eze 27:24 These were thy merchants in all sorts of things, in blue clothes, and broidered work, and in chests of rich apparel, bound with cords, and made of cedar, among thy merchandise.(KJV-1611) Eze 27:24 Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:25 ============ Eze 27:25 The ships of Tarshish did sing of thee in thy market: and thou wast replenished, and made very glorious in the midst of the seas.(KJV-1611) Eze 27:25 Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:26 ============ Eze 27:26 Thy rowers have brought thee into great waters: the east wind hath broken thee in the midst of the seas.(KJV-1611) Eze 27:26 Moun ki t'ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:27 ============ Eze 27:27 Thy riches, and thy fairs, thy merchandise, thy mariners, and thy pilots, thy calkers, and the occupiers of thy merchandise, and all thy men of war, that are in thee, and in all thy company which is in the midst of thee, shall fall into the midst of the seas in the day of thy ruin.(KJV-1611) Eze 27:27 Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:28 ============ Eze 27:28 The suburbs shall shake at the sound of the cry of thy pilots.(KJV-1611) Eze 27:28 Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:29 ============ Eze 27:29 And all that handle the oar, the mariners, and all the pilots of the sea, shall come down from their ships, they shall stand upon the land;(KJV-1611) Eze 27:29 Tout moun ki t'ap naje zaviwon yo desann atè, yo kite batiman yo. Tout maren yo rete atè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:30 ============ Eze 27:30 And shall cause their voice to be heard against thee, and shall cry bitterly, and shall cast up dust upon their heads, they shall wallow themselves in the ashes:(KJV-1611) Eze 27:30 Y'ap kriye pou ou, y'ap plenn sò ou. Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo, y'ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y'ap nan lapenn.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:31 ============ Eze 27:31 And they shall make themselves utterly bald for thee, and gird them with sackcloth, and they shall weep for thee with bitterness of heart and bitter wailing.(KJV-1611) Eze 27:31 Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:32 ============ Eze 27:32 And in their wailing they shall take up a lamentation for thee, and lament over thee, saying, What city is like Tyrus, like the destroyed in the midst of the sea?(KJV-1611) Eze 27:32 Nan lapenn yo y'ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè!(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:33 ============ Eze 27:33 When thy wares went forth out of the seas, thou filledst many people; thou didst enrich the kings of the earth with the multitude of thy riches and of thy merchandise.(KJV-1611) Eze 27:33 Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:34 ============ Eze 27:34 In the time when thou shalt be broken by the seas in the depths of the waters thy merchandise and all thy company in the midst of thee shall fall.(KJV-1611) Eze 27:34 Koulye a, ou koule nan fon lanmè. Tout machandiz ou yo, tout moun ki t'ap travay pou ou yo disparèt ansanm avè ou nan lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:35 ============ Eze 27:35 All the inhabitants of the isles shall be astonished at thee, and their kings shall be sore afraid, they shall be troubled in their countenance.(KJV-1611) Eze 27:35 Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 27:36 ============ Eze 27:36 The merchants among the people shall hiss at thee; thou shalt be a terror, and never shalt be any more.(KJV-1611) Eze 27:36 Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:1 ============ Eze 28:1 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 28:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:2 ============ Eze 28:2 Son of man, say unto the prince of Tyrus, Thus saith the Lord GOD; Because thine heart is lifted up, and thou hast said, I am a God, I sit in the seat of God, in the midst of the seas; yet thou art a man, and not God, though thou set thine heart as the heart of God:(KJV-1611) Eze 28:2 -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:3 ============ Eze 28:3 Behold, thou art wiser than Daniel; there is no secret that they can hide from thee:(KJV-1611) Eze 28:3 Ou met nan tèt ou ou gen plis konprann pase Danèl. Pa gen sekrè ki kache pou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:4 ============ Eze 28:4 With thy wisdom and with thine understanding thou hast gotten thee riches, and hast gotten gold and silver into thy treasures:(KJV-1611) Eze 28:4 Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:5 ============ Eze 28:5 By thy great wisdom and by thy traffick hast thou increased thy riches, and thine heart is lifted up because of thy riches:(KJV-1611) Eze 28:5 Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:6 ============ Eze 28:6 Therefore thus saith the Lord GOD; Because thou hast set thine heart as the heart of God;(KJV-1611) Eze 28:6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:7 ============ Eze 28:7 Behold, therefore I will bring strangers upon thee, the terrible of the nations: and they shall draw their swords against the beauty of thy wisdom, and they shall defile thy brightness.(KJV-1611) Eze 28:7 Enben, mwen pral fè moun lòt nasyon vin atake ou. San manman pase yo pa genyen. Yo pral kraze dènye bèl bagay ou te ranmase ak bon konprann ou an. Yo p'ap gen respè pou gwo pozisyon ou lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:8 ============ Eze 28:8 They shall bring thee down to the pit, and thou shalt die the deaths of them that are slain in the midst of the seas.(KJV-1611) Eze 28:8 Yo pral touye ou. Ou pral mouri neye nan mitan lanmè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:9 ============ Eze 28:9 Wilt thou yet say before him that slayeth thee, I am God? but thou shalt be a man, and no God, in the hand of him that slayeth thee.(KJV-1611) Eze 28:9 Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:10 ============ Eze 28:10 Thou shalt die the deaths of the uncircumcised by the hand of strangers: for I have spoken it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 28:10 W'ap mouri tankou moun ki pa konn Bondye. Se moun lòt nasyon yo k'ap touye ou. Mwen fin pale. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:11 ============ Eze 28:11 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 28:11 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:12 ============ Eze 28:12 Son of man, take up a lamentation upon the king of Tyrus, and say unto him, Thus saith the Lord GOD; Thou sealest up the sum, full of wisdom, and perfect in beauty.(KJV-1611) Eze 28:12 -Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:13 ============ Eze 28:13 Thou hast been in Eden the garden of God; every precious stone was thy covering, the sardius, topaz, and the diamond, the beryl, the onyx, and the jasper, the sapphire, the emerald, and the carbuncle, and gold: the workmanship of thy tabrets and of thy pipes was prepared in thee in the day that thou wast created.(KJV-1611) Eze 28:13 Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:14 ============ Eze 28:14 Thou art the anointed cherub that covereth; and I have set thee so: thou wast upon the holy mountain of God; thou hast walked up and down in the midst of the stones of fire.(KJV-1611) Eze 28:14 Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:15 ============ Eze 28:15 Thou wast perfect in thy ways from the day that thou wast created, till iniquity was found in thee.(KJV-1611) Eze 28:15 Depi jou Bondye kreye ou la, ou pa t' fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:16 ============ Eze 28:16 By the multitude of thy merchandise they have filled the midst of thee with violence, and thou hast sinned: therefore I will cast thee as profane out of the mountain of God: and I will destroy thee, O covering cherub, from the midst of the stones of fire.(KJV-1611) Eze 28:16 Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:17 ============ Eze 28:17 Thine heart was lifted up because of thy beauty, thou hast corrupted thy wisdom by reason of thy brightness: I will cast thee to the ground, I will lay thee before kings, that they may behold thee.(KJV-1611) Eze 28:17 Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:18 ============ Eze 28:18 Thou hast defiled thy sanctuaries by the multitude of thine iniquities, by the iniquity of thy traffick; therefore will I bring forth a fire from the midst of thee, it shall devour thee, and I will bring thee to ashes upon the earth in the sight of all them that behold thee.(KJV-1611) Eze 28:18 Ou sitèlman fè mechanste ak vis nan kòmès ou yo, ou pa respekte ata tanp ou yo. Mwen mete dife nan lavil ou yo. Yo boule nèt. Tout moun ki t'ap gade ou yo wè ou tounen sann.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:19 ============ Eze 28:19 All they that know thee among the people shall be astonished at thee: thou shalt be a terror, and never shalt thou be any more.(KJV-1611) Eze 28:19 Tout moun ki te konnen ou nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Ou fini, ou fini nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:20 ============ Eze 28:20 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 28:20 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:21 ============ Eze 28:21 Son of man, set thy face against Zidon, and prophesy against it,(KJV-1611) Eze 28:21 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon lavil Sidon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:22 ============ Eze 28:22 And say, Thus saith the Lord GOD; Behold, I am against thee, O Zidon; and I will be glorified in the midst of thee: and they shall know that I am the LORD, when I shall have executed judgments in her, and shall be sanctified in her.(KJV-1611) Eze 28:22 W'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Nou menm, moun lavil Sidon, n'ap leve dèyè nou tou. Apre sa mwen pral fè nou an, moun pral fè lwanj mwen, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske mwen pral pini moun ki rete nan lavil la. Konsa, m'a fè moun wè se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:23 ============ Eze 28:23 For I will send into her pestilence, and blood into her streets; and the wounded shall be judged in the midst of her by the sword upon her on every side; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 28:23 Mwen pral voye maladi sou yo. San moun pral koule nan tout lari. Lènmi ap soti toupatou vin atake yo. Moun pral mouri nan lavil la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:24 ============ Eze 28:24 And there shall be no more a pricking brier unto the house of Israel, nor any grieving thorn of all that are round about them, that despised them; and they shall know that I am the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 28:24 Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:25 ============ Eze 28:25 Thus saith the Lord GOD; When I shall have gathered the house of Israel from the people among whom they are scattered, and shall be sanctified in them in the sight of the heathen, then shall they dwell in their land that I have given to my servant Jacob.(KJV-1611) Eze 28:25 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral ranmase moun pèp Izrayèl yo nan mitan tout nasyon kote m' te gaye yo a, m'ap mennen yo tounen. Konsa, mwen pral fè tout nasyon yo wè se yon Bondye apa mwen ye. Moun pèp Izrayèl yo va rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 28:26 ============ Eze 28:26 And they shall dwell safely therein, and shall build houses, and plant vineyards; yea, they shall dwell with confidence, when I have executed judgments upon all those that despise them round about them; and they shall know that I am the LORD their God.(KJV-1611) Eze 28:26 Yo pral viv nan peyi a san danje, san malè. Yo pral bati kay, y'ap plante jaden rezen. M'ap pini tout nasyon ki rete toupre yo epi ki pa vle wè yo. Pèp Izrayèl la menm ap viv san danje, san malè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:1 ============ Eze 29:1 In the tenth year, in the tenth month, in the twelfth day of the month, the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 29:1 Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:2 ============ Eze 29:2 Son of man, set thy face against Pharaoh king of Egypt, and prophesy against him, and against all Egypt:(KJV-1611) Eze 29:2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Lejip. Bay mesaj sa a sou farawon an, wa peyi Lejip la, ak sou tout peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:3 ============ Eze 29:3 Speak, and say, Thus saith the Lord GOD; Behold, I am against thee, Pharaoh king of Egypt, the great dragon that lieth in the midst of his rivers, which hath said, My river is mine own, and I have made it for myself.(KJV-1611) Eze 29:3 Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:4 ============ Eze 29:4 But I will put hooks in thy jaws, and I will cause the fish of thy rivers to stick unto thy scales, and I will bring thee up out of the midst of thy rivers, and all the fish of thy rivers shall stick unto thy scales.(KJV-1611) Eze 29:4 Mwen pral kwoke yon zen antravè nan machwè ou. Tout pwason larivyè a pral kole sou ou. Lèfini, m'ap rale ou soti nan larivyè a ak tout pwason yo kole sou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:5 ============ Eze 29:5 And I will leave thee thrown into the wilderness, thee and all the fish of thy rivers: thou shalt fall upon the open fields; thou shalt not be brought together, nor gathered: I have given thee for meat to the beasts of the field and to the fowls of the heaven.(KJV-1611) Eze 29:5 Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:6 ============ Eze 29:6 And all the inhabitants of Egypt shall know that I am the LORD, because they have been a staff of reed to the house of Israel.(KJV-1611) Eze 29:6 Lè sa a, tout moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Seyè a di ankò: -Moun pèp Izrayèl yo te konte sou ou, men ou pa t' pi solid pase yon baton wozo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:7 ============ Eze 29:7 When they took hold of thee by thy hand, thou didst break, and rend all their shoulder: and when they leaned upon thee, thou brakest, and madest all their loins to be at a stand.(KJV-1611) Eze 29:7 Lè yo apiye sou ou, ou kase nan men yo, ou dechire tout po men yo. Wi, lè yo apiye sou ou, yo tonbe, ren yo kase.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:8 ============ Eze 29:8 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I will bring a sword upon thee, and cut off man and beast out of thee.(KJV-1611) Eze 29:8 Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di ou: Mwen pral voye moun atake ou avèk nepe. Yo pral touye dènye moun ak dènye bèt lakay ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:9 ============ Eze 29:9 And the land of Egypt shall be desolate and waste; and they shall know that I am the LORD: because he hath said, The river is mine, and I have made it.(KJV-1611) Eze 29:9 Peyi Lejip la pral tounen yon dezè kote moun pa rete, yon pil mazi. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Ou te di se pou ou Nil la ye, se ou ki fè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:10 ============ Eze 29:10 Behold, therefore I am against thee, and against thy rivers, and I will make the land of Egypt utterly waste and desolate, from the tower of Syene even unto the border of Ethiopia.(KJV-1611) Eze 29:10 Enben, mwen pral leve dèyè ni ou, ni Nil ou a. Mwen pral fè peyi Lejip la tounen yon pil mazi, yon dezè kote moun pa rete depi lavil Migdòl nan nò jouk lavil Aswan nan sid, rive desann sou fwontyè peyi Letiopi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:11 ============ Eze 29:11 No foot of man shall pass through it, nor foot of beast shall pass through it, neither shall it be inhabited forty years.(KJV-1611) Eze 29:11 p'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:12 ============ Eze 29:12 And I will make the land of Egypt desolate in the midst of the countries that are desolate, and her cities among the cities that are laid waste shall be desolate forty years: and I will scatter the Egyptians among the nations, and will disperse them through the countries.(KJV-1611) Eze 29:12 M'ap fè peyi Lejip la tounen peyi ki pi devaste sou tout latè. Pandan karant lanne tout lavil peyi Lejip yo pral tounen mazi. Y'ap kraze pi mal pase mazi nenpòt ki lòt lavil ki devaste. Mwen pral depòte moun peyi Lejip yo nan lòt nasyon. M'ap gaye yo nan divès lòt peyi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:13 ============ Eze 29:13 Yet thus saith the Lord GOD; At the end of forty years will I gather the Egyptians from the people whither they were scattered:(KJV-1611) Eze 29:13 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Apre karantan, m'ap pase men pran moun peyi Lejip yo nan mitan lòt nasyon kote mwen te gaye yo a,(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:14 ============ Eze 29:14 And I will bring again the captivity of Egypt, and will cause them to return into the land of Pathros, into the land of their habitation; and they shall be there a base kingdom.(KJV-1611) Eze 29:14 m'ap mennen yo tounen lakay yo. M'ap fè yo al rete nan zòn Patwòs la, kote zansèt yo te soti a. Y'ap fòme yon ti peyi tou fèb.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:15 ============ Eze 29:15 It shall be the basest of the kingdoms; neither shall it exalt itself any more above the nations: for I will diminish them, that they shall no more rule over the nations.(KJV-1611) Eze 29:15 Lè sa a, se va pi piti peyi nan tout peyi sou latè. Li p'ap janm rive donminen ankenn lòt nasyon. L'ap tèlman fèb, li p'ap janm ka fòse ankenn lòt nasyon fè volonte li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:16 ============ Eze 29:16 And it shall be no more the confidence of the house of Israel, which bringeth their iniquity to remembrance, when they shall look after them: but they shall know that I am the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 29:16 Pèp Izrayèl la p'ap janm bezwen konte sou li ankò. Sa va fè pèp Izrayèl la chonje jan li te gen tò pou l' te fye moun sa yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:17 ============ Eze 29:17 And it came to pass in the seven and twentieth year, in the first month, in the first day of the month, the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 29:17 Nan premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:18 ============ Eze 29:18 Son of man, Nebuchadrezzar king of Babylon caused his army to serve a great service against Tyrus: every head was made bald, and every shoulder was peeled: yet had he no wages, nor his army, for Tyrus, for the service that he had served against it:(KJV-1611) Eze 29:18 -Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:19 ============ Eze 29:19 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I will give the land of Egypt unto Nebuchadrezzar king of Babylon; and he shall take her multitude, and take her spoil, and take her prey; and it shall be the wages for his army.(KJV-1611) Eze 29:19 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Mwen pral bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, peyi Lejip la pou li. Li pral pran tout richès li yo, l'ap mete men sou tou sa li jwenn, l'ap piye peyi a nèt: Se konsa l'a peye sòlda li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:20 ============ Eze 29:20 I have given him the land of Egypt for his labour wherewith he served against it, because they wrought for me, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 29:20 Wi, pou tout gwo sèvis li rann mwen yo, m'ap fè l' kado peyi Lejip la. Paske, se pou mwen yo t'ap travay. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 29:21 ============ Eze 29:21 In that day will I cause the horn of the house of Israel to bud forth, and I will give thee the opening of the mouth in the midst of them; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 29:21 Lè sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizay lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:1 ============ Eze 30:1 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 30:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:2 ============ Eze 30:2 Son of man, prophesy and say, Thus saith the Lord GOD; Howl ye, Woe worth the day!(KJV-1611) Eze 30:2 -Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou!(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:3 ============ Eze 30:3 For the day is near, even the day of the LORD is near, a cloudy day; it shall be the time of the heathen.(KJV-1611) Eze 30:3 Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:4 ============ Eze 30:4 And the sword shall come upon Egypt, and great pain shall be in Ethiopia, when the slain shall fall in Egypt, and they shall take away her multitude, and her foundations shall be broken down.(KJV-1611) Eze 30:4 Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:5 ============ Eze 30:5 Ethiopia, and Libya, and Lydia, and all the mingled people, and Chub, and the men of the land that is in league, shall fall with them by the sword.(KJV-1611) Eze 30:5 Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m' lan, Izrayèl, ki t'ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:6 ============ Eze 30:6 Thus saith the LORD; They also that uphold Egypt shall fall; and the pride of her power shall come down: from the tower of Syene shall they fall in it by the sword, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 30:6 Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t'ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:7 ============ Eze 30:7 And they shall be desolate in the midst of the countries that are desolate, and her cities shall be in the midst of the cities that are wasted.(KJV-1611) Eze 30:7 Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:8 ============ Eze 30:8 And they shall know that I am the LORD, when I have set a fire in Egypt, and when all her helpers shall be destroyed.(KJV-1611) Eze 30:8 Lè m'a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t'ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:9 ============ Eze 30:9 In that day shall messengers go forth from me in ships to make the careless Ethiopians afraid, and great pain shall come upon them, as in the day of Egypt: for, lo, it cometh.(KJV-1611) Eze 30:9 Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y' al pran tèt moun ki t'ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:10 ============ Eze 30:10 Thus saith the Lord GOD; I will also make the multitude of Egypt to cease by the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon.(KJV-1611) Eze 30:10 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m' fini ak richès peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:11 ============ Eze 30:11 He and his people with him, the terrible of the nations, shall be brought to destroy the land: and they shall draw their swords against Egypt, and fill the land with the slain.(KJV-1611) Eze 30:11 Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:12 ============ Eze 30:12 And I will make the rivers dry, and sell the land into the hand of the wicked: and I will make the land waste, and all that is therein, by the hand of strangers: I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 30:12 Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m'ap lage peyi a nan men ansasen. M'ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:13 ============ Eze 30:13 Thus saith the Lord GOD; I will also destroy the idols, and I will cause their images to cease out of Noph; and there shall be no more a prince of the land of Egypt: and I will put a fear in the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 30:13 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:14 ============ Eze 30:14 And I will make Pathros desolate, and will set fire in Zoan, and will execute judgments in No.(KJV-1611) Eze 30:14 M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:15 ============ Eze 30:15 And I will pour my fury upon Sin, the strength of Egypt; and I will cut off the multitude of No.(KJV-1611) Eze 30:15 M'ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M'ap detwi tout richès lavil Tèb la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:16 ============ Eze 30:16 And I will set fire in Egypt: Sin shall have great pain, and No shall be rent asunder, and Noph shall have distresses daily.(KJV-1611) Eze 30:16 M'ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y'ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:17 ============ Eze 30:17 The young men of Aven and of Pibeseth shall fall by the sword: and these cities shall go into captivity.(KJV-1611) Eze 30:17 Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y'ap depòte tout rès moun yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:18 ============ Eze 30:18 At Tehaphnehes also the day shall be darkened, when I shall break there the yokes of Egypt: and the pomp of her strength shall cease in her: as for her, a cloud shall cover her, and her daughters shall go into captivity.(KJV-1611) Eze 30:18 Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m'a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m'a fini ak fòs kouraj ki t'ap fè l' gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:19 ============ Eze 30:19 Thus will I execute judgments in Egypt: and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 30:19 Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:20 ============ Eze 30:20 And it came to pass in the eleventh year, in the first month, in the seventh day of the month, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 30:20 Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:21 ============ Eze 30:21 Son of man, I have broken the arm of Pharaoh king of Egypt; and, lo, it shall not be bound up to be healed, to put a roller to bind it, to make it strong to hold the sword.(KJV-1611) Eze 30:21 -Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:22 ============ Eze 30:22 Therefore thus saith the Lord GOD; Behold, I am against Pharaoh king of Egypt, and will break his arms, the strong, and that which was broken; and I will cause the sword to fall out of his hand.(KJV-1611) Eze 30:22 Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M'ap fè nepe a soti tonbe nan men l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:23 ============ Eze 30:23 And I will scatter the Egyptians among the nations, and will disperse them through the countries.(KJV-1611) Eze 30:23 Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:24 ============ Eze 30:24 And I will strengthen the arms of the king of Babylon, and put my sword in his hand: but I will break Pharaoh's arms, and he shall groan before him with the groanings of a deadly wounded man.(KJV-1611) Eze 30:24 Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m'ap mete nepe pa m' lan nan men l'. M'ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l' lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:25 ============ Eze 30:25 But I will strengthen the arms of the king of Babylon, and the arms of Pharaoh shall fall down; and they shall know that I am the LORD, when I shall put my sword into the hand of the king of Babylon, and he shall stretch it out upon the land of Egypt.(KJV-1611) Eze 30:25 Wi, m'ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m'ap febli ponyèt farawon an. Lè m'a bay wa Babilòn lan nepe pa m' lan, lè l'a lonje l' sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 30:26 ============ Eze 30:26 And I will scatter the Egyptians among the nations, and disperse them among the countries; and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 30:26 M'ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:1 ============ Eze 31:1 And it came to pass in the eleventh year, in the third month, in the first day of the month, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 31:1 Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:2 ============ Eze 31:2 Son of man, speak unto Pharaoh king of Egypt, and to his multitude; Whom art thou like in thy greatness?(KJV-1611) Eze 31:2 -Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:3 ============ Eze 31:3 Behold, the Assyrian was a cedar in Lebanon with fair branches, and with a shadowing shroud, and of an high stature; and his top was among the thick boughs.(KJV-1611) Eze 31:3 Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:4 ============ Eze 31:4 The waters made him great, the deep set him up on high with her rivers running round about his plants, and sent her little rivers unto all the trees of the field.(KJV-1611) Eze 31:4 Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:5 ============ Eze 31:5 Therefore his height was exalted above all the trees of the field, and his boughs were multiplied, and his branches became long because of the multitude of waters, when he shot forth.(KJV-1611) Eze 31:5 Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:6 ============ Eze 31:6 All the fowls of heaven made their nests in his boughs, and under his branches did all the beasts of the field bring forth their young, and under his shadow dwelt all great nations.(KJV-1611) Eze 31:6 Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:7 ============ Eze 31:7 Thus was he fair in his greatness, in the length of his branches: for his root was by great waters.(KJV-1611) Eze 31:7 Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:8 ============ Eze 31:8 The cedars in the garden of God could not hide him: the fir trees were not like his boughs, and the chestnut trees were not like his branches; nor any tree in the garden of God was like unto him in his beauty.(KJV-1611) Eze 31:8 Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:9 ============ Eze 31:9 I have made him fair by the multitude of his branches: so that all the trees of Eden, that were in the garden of God, envied him.(KJV-1611) Eze 31:9 Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:10 ============ Eze 31:10 Therefore thus saith the Lord GOD; Because thou hast lifted up thyself in height, and he hath shot up his top among the thick boughs, and his heart is lifted up in his height;(KJV-1611) Eze 31:10 Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:11 ============ Eze 31:11 I have therefore delivered him into the hand of the mighty one of the heathen; he shall surely deal with him: I have driven him out for his wickedness.(KJV-1611) Eze 31:11 Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:12 ============ Eze 31:12 And strangers, the terrible of the nations, have cut him off, and have left him: upon the mountains and in all the valleys his branches are fallen, and his boughs are broken by all the rivers of the land; and all the people of the earth are gone down from his shadow, and have left him.(KJV-1611) Eze 31:12 Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:13 ============ Eze 31:13 Upon his ruin shall all the fowls of the heaven remain, and all the beasts of the field shall be upon his branches:(KJV-1611) Eze 31:13 Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:14 ============ Eze 31:14 To the end that none of all the trees by the waters exalt themselves for their height, neither shoot up their top among the thick boughs, neither their trees stand up in their height, all that drink water: for they are all delivered unto death, to the nether parts of the earth, in the midst of the children of men, with them that go down to the pit.(KJV-1611) Eze 31:14 Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:15 ============ Eze 31:15 Thus saith the Lord GOD; In the day when he went down to the grave I caused a mourning: I covered the deep for him, and I restrained the floods thereof, and the great waters were stayed: and I caused Lebanon to mourn for him, and all the trees of the field fainted for him.(KJV-1611) Eze 31:15 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:16 ============ Eze 31:16 I made the nations to shake at the sound of his fall, when I cast him down to hell with them that descend into the pit: and all the trees of Eden, the choice and best of Lebanon, all that drink water, shall be comforted in the nether parts of the earth.(KJV-1611) Eze 31:16 Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:17 ============ Eze 31:17 They also went down into hell with him unto them that be slain with the sword; and they that were his arm, that dwelt under his shadow in the midst of the heathen.(KJV-1611) Eze 31:17 Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 31:18 ============ Eze 31:18 To whom art thou thus like in glory and in greatness among the trees of Eden? yet shalt thou be brought down with the trees of Eden unto the nether parts of the earth: thou shalt lie in the midst of the uncircumcised with them that be slain by the sword. This is Pharaoh and all his multitude, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 31:18 Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:1 ============ Eze 32:1 And it came to pass in the twelfth year, in the twelfth month, in the first day of the month, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 32:1 Nan premye jou nan douzyèm mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:2 ============ Eze 32:2 Son of man, take up a lamentation for Pharaoh king of Egypt, and say unto him, Thou art like a young lion of the nations, and thou art as a whale in the seas: and thou camest forth with thy rivers, and troubledst the waters with thy feet, and fouledst their rivers.(KJV-1611) Eze 32:2 -Nonm o! Chante yon chante pou plenn sò farawon an, wa peyi Lejip la. Ba l' mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:3 ============ Eze 32:3 Thus saith the Lord GOD; I will therefore spread out my net over thee with a company of many people; and they shall bring thee up in my net.(KJV-1611) Eze 32:3 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Nan mitan anpil nasyon ki va sanble bò kote ou, m'ap voye privye mwen sou ou pou m' pran ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:4 ============ Eze 32:4 Then will I leave thee upon the land, I will cast thee forth upon the open field, and will cause all the fowls of the heaven to remain upon thee, and I will fill the beasts of the whole earth with thee.(KJV-1611) Eze 32:4 M'ap voye ou jete atè, m'ap blayi ou nan mitan jaden yo. M'ap fè tout kalite zwezo ak bèt nan bwa vin manje plen vant yo ak kadav ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:5 ============ Eze 32:5 And I will lay thy flesh upon the mountains, and fill the valleys with thy height.(KJV-1611) Eze 32:5 Mwen pral kouvri tout mòn ak tout fon yo ak kadav ou k'ap dekonpoze.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:6 ============ Eze 32:6 I will also water with thy blood the land wherein thou swimmest, even to the mountains; and the rivers shall be full of thee.(KJV-1611) Eze 32:6 M'ap wouze tout peyi a ak san ou. M'ap vide san ou sou mòn yo, jouk ravin yo pral plen dlo kò ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:7 ============ Eze 32:7 And when I shall put thee out, I will cover the heaven, and make the stars thereof dark; I will cover the sun with a cloud, and the moon shall not give her light.(KJV-1611) Eze 32:7 Lè m'ap disparèt ou a, m'ap kouvri syèl la, m'ap bouche zetwal yo. M'ap kache solèy la dèyè nwaj yo, lalin lan p'ap klere ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:8 ============ Eze 32:8 All the bright lights of heaven will I make dark over thee, and set darkness upon thy land, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 32:8 Poutèt ou, m'ap tenyen dènye limyè nan syèl la. Pral fènwa nèt sou tout latè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:9 ============ Eze 32:9 I will also vex the hearts of many people, when I shall bring thy destruction among the nations, into the countries which thou hast not known.(KJV-1611) Eze 32:9 Anpil moun pral gen lespri yo boulvèse lè m' fè nouvèl jan ou fini an gaye nan tout nasyon yo, ata nan peyi ou menm ou pa janm konnen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:10 ============ Eze 32:10 Yea, I will make many people amazed at thee, and their kings shall be horribly afraid for thee, when I shall brandish my sword before them; and they shall tremble at every moment, every man for his own life, in the day of thy fall.(KJV-1611) Eze 32:10 M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m' lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:11 ============ Eze 32:11 For thus saith the Lord GOD; The sword of the king of Babylon shall come upon thee.(KJV-1611) Eze 32:11 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di wa peyi Lejip la: -Nepe wa Babilòn lan pral tonbe sou ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:12 ============ Eze 32:12 By the swords of the mighty will I cause thy multitude to fall, the terrible of the nations, all of them: and they shall spoil the pomp of Egypt, and all the multitude thereof shall be destroyed.(KJV-1611) Eze 32:12 Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:13 ============ Eze 32:13 I will destroy also all the beasts thereof from beside the great waters; neither shall the foot of man trouble them any more, nor the hoofs of beasts trouble them.(KJV-1611) Eze 32:13 M'ap touye tout bèt nou yo bò dlo a. p'ap rete yon grenn moun ni yon sèl bèt pou sal dlo yo ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:14 ============ Eze 32:14 Then will I make their waters deep, and cause their rivers to run like oil, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 32:14 M'ap kite dlo yo poze, m'ap fè larivyè yo koule tou dousman. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:15 ============ Eze 32:15 When I shall make the land of Egypt desolate, and the country shall be destitute of that whereof it was full, when I shall smite all them that dwell therein, then shall they know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 32:15 Lè m'a fè peyi Lejip la tounen yon dezè, lè m'a devaste tout bagay nan peyi a, lè m'a touye dènye moun ki rete nan peyi a, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:16 ============ Eze 32:16 This is the lamentation wherewith they shall lament her: the daughters of the nations shall lament her: they shall lament for her, even for Egypt, and for all her multitude, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 32:16 Men chante y'a chante pou plenn sò peyi Lejip la. Medam lòt nasyon yo va chante l' lè y'ap kriye pou peyi Lejip ansanm ak tout pèp li a. Wi, se chante sa a y'a chante lè y'ap kriye pou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:17 ============ Eze 32:17 It came to pass also in the twelfth year, in the fifteenth day of the month, that the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 32:17 Nan kenzyèm jou premye mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:18 ============ Eze 32:18 Son of man, wail for the multitude of Egypt, and cast them down, even her, and the daughters of the famous nations, unto the nether parts of the earth, with them that go down into the pit.(KJV-1611) Eze 32:18 -Nonm o! Plenn sò tout moun peyi Lejip yo. Voye yo desann ansanm ak tout lòt moun gwo nasyon yo nan peyi kote mò yo ye a, anba tè kote moun ki deja mouri yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:19 ============ Eze 32:19 Whom dost thou pass in beauty? go down, and be thou laid with the uncircumcised.(KJV-1611) Eze 32:19 Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:20 ============ Eze 32:20 They shall fall in the midst of them that are slain by the sword: she is delivered to the sword: draw her and all her multitudes.(KJV-1611) Eze 32:20 Moun peyi Lejip yo pral tonbe ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo. Gen yon nepe ki pare pou touye yo tout.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:21 ============ Eze 32:21 The strong among the mighty shall speak to him out of the midst of hell with them that help him: they are gone down, they lie uncircumcised, slain by the sword.(KJV-1611) Eze 32:21 Sòlda ki te pi vanyan yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon ak moun peyi Lejip yo pral resevwa yo nan peyi kote mò yo ye a. Yo pral di: Moun ki pa pote mak kontra Bondye a ap mouri nan lagè, yo desann isit la. Se la yo vin kouche!(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:22 ============ Eze 32:22 Asshur is there and all her company: his graves are about him: all of them slain, fallen by the sword:(KJV-1611) Eze 32:22 Peyi Lasiri a la avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:23 ============ Eze 32:23 Whose graves are set in the sides of the pit, and her company is round about her grave: all of them slain, fallen by the sword, which caused terror in the land of the living.(KJV-1611) Eze 32:23 Yo mete tonm yo anba nèt nan peyi kote mò yo ye a. Tout sòlda li yo mouri nan lagè. Tout tonm yo bò kote l'. Se yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:24 ============ Eze 32:24 There is Elam and all her multitude round about her grave, all of them slain, fallen by the sword, which are gone down uncircumcised into the nether parts of the earth, which caused their terror in the land of the living; yet have they borne their shame with them that go down to the pit.(KJV-1611) Eze 32:24 Peyi Elam lan la tou avèk tonm tout sòlda li yo bò kote l'. Yo tout mouri nan lagè. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo desann konsa nan peyi kote mò yo ye a, yo menm ki te mache fè moun pè yo toupatou sou latè. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo, yo mouri ansanm ak moun ki desann nan twou san fon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:25 ============ Eze 32:25 They have set her a bed in the midst of the slain with all her multitude: her graves are round about him: all of them uncircumcised, slain by the sword: though their terror was caused in the land of the living, yet have they borne their shame with them that go down to the pit: he is put in the midst of them that be slain.(KJV-1611) Eze 32:25 Wa peyi Elam lan kouche nan mitan moun pa l' yo ki mouri nan lagè. Tonm sòlda li yo bò kote l'. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Sou latè, yo te mache fè tout moun pè yo. Koulye a yo wont, y'ap peye mechanste yo. Yo desann nan twou san fon an ansanm ak moun ki mouri nan lagè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:26 ============ Eze 32:26 There is Meshech, Tubal, and all her multitude: her graves are round about him: all of them uncircumcised, slain by the sword, though they caused their terror in the land of the living.(KJV-1611) Eze 32:26 Wa peyi Mechèk la ak wa peyi Toubal la tou, ansanm avèk tonm sòlda yo bò kote yo. Yo pa pote mak kontra Bondye a, yo mouri konsa nan lagè. Yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:27 ============ Eze 32:27 And they shall not lie with the mighty that are fallen of the uncircumcised, which are gone down to hell with their weapons of war: and they have laid their swords under their heads, but their iniquities shall be upon their bones, though they were the terror of the mighty in the land of the living.(KJV-1611) Eze 32:27 Yo p'ap fè bèl lantèman pou yo tankou pou vanyan sòlda tan lontan yo, ki te desann nan peyi kote mò yo ye a ak tout zam yo sou yo, nepe yo anba tèt yo ak plak fè pwotèj yo anwo kadav yo. Paske yon lè yo t'ap mache fè tout moun pè yo sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:28 ============ Eze 32:28 Yea, thou shalt be broken in the midst of the uncircumcised, and shalt lie with them that are slain with the sword.(KJV-1611) Eze 32:28 Se konsa moun peyi Lejip yo pral mouri tankou moun ki pa pote mak kontra Bondye a, y'ap antere yo ansanm ak moun ki te mouri nan lagè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:29 ============ Eze 32:29 There is Edom, her kings, and all her princes, which with their might are laid by them that were slain by the sword: they shall lie with the uncircumcised, and with them that go down to the pit.(KJV-1611) Eze 32:29 Peyi Edon an la tou ansanm ak tout wa li yo ak chèf li yo. Yon lè yo te vanyan sòlda, men koulye a yo kouche nan peyi kote mò yo ye a ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki te mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:30 ============ Eze 32:30 There be the princes of the north, all of them, and all the Zidonians, which are gone down with the slain; with their terror they are ashamed of their might; and they lie uncircumcised with them that be slain by the sword, and bear their shame with them that go down to the pit.(KJV-1611) Eze 32:30 Tout chèf peyi nan nò yo la tou ansanm ak tout moun peyi Sidon yo. Yo te sitèlman gen fòs, yo te fè moun pè yo. Koulye a, yo desann nan twou san fon an. Yo pote wont mechanste yo anba tè a ak yo. Yo mete yo kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a, epi ki te mouri nan lagè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:31 ============ Eze 32:31 Pharaoh shall see them, and shall be comforted over all his multitude, even Pharaoh and all his army slain by the sword, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 32:31 Se pral yon gwo konsolasyon pou wa peyi Lejip la ansanm ak sòlda li yo, lè y'a wè tout kantite moun ki te mouri nan lagè. Se Seyè sèl Mèt la menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 32:32 ============ Eze 32:32 For I have caused my terror in the land of the living: and he shall be laid in the midst of the uncircumcised with them that are slain with the sword, even Pharaoh and all his multitude, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 32:32 Atout mwen te fè wa peyi Lejip la mache fè moun pè l' toupatou sou latè, y'ap touye l' ansanm ak tout sòlda li yo. Ni li ni sòlda li yo pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a epi ki mouri nan lagè yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:1 ============ Eze 33:1 Again the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 33:1 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:2 ============ Eze 33:2 Son of man, speak to the children of thy people, and say unto them, When I bring the sword upon a land, if the people of the land take a man of their coasts, and set him for their watchman:(KJV-1611) Eze 33:2 -Nonm o! Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo konsa: Lè m'ap voye lènmi atake yon peyi, moun peyi a va chwazi yonn nan yo, y'a mete l' faksyonnè pou veye peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:3 ============ Eze 33:3 If when he seeth the sword come upon the land, he blow the trumpet, and warn the people;(KJV-1611) Eze 33:3 Lè faksyonnè a va wè lènmi ap pwoche, l'a bay yon kout klewon pou avèti moun yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:4 ============ Eze 33:4 Then whosoever heareth the sound of the trumpet, and taketh not warning; if the sword come, and take him away, his blood shall be upon his own head.(KJV-1611) Eze 33:4 Si yon moun tande klewon an, men li pa okipe l', kifè lènmi an rive, li touye l', se djòb pa moun sa a, l'ap pote reskonsablite lanmò li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:5 ============ Eze 33:5 He heard the sound of the trumpet, and took not warning; his blood shall be upon him. But he that taketh warning shall deliver his soul.(KJV-1611) Eze 33:5 Li tande kout klewon an pati, men li pa okipe sa, kifè sa lakòz li mouri. Paske si li te koute avètisman an, li ta ka pa mouri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:6 ============ Eze 33:6 But if the watchman see the sword come, and blow not the trumpet, and the people be not warned; if the sword come, and take any person from among them, he is taken away in his iniquity; but his blood will I require at the watchman's hand.(KJV-1611) Eze 33:6 Men, si faksyonnè a wè lènmi ap vini epi li pa bay kout klewon an pou avèti moun yo, lènmi an ap vini, l'ap touye moun. Moun yo ap mouri akòz peche yo fè, se vre. Men, se faksyonnè a k'ap pote reskonsablite lanmò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:7 ============ Eze 33:7 So thou, O son of man, I have set thee a watchman unto the house of Israel; therefore thou shalt hear the word at my mouth, and warn them from me.(KJV-1611) Eze 33:7 Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:8 ============ Eze 33:8 When I say unto the wicked, O wicked man, thou shalt surely die; if thou dost not speak to warn the wicked from his way, that wicked man shall die in his iniquity; but his blood will I require at thine hand.(KJV-1611) Eze 33:8 Si mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, epi ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche l' yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:9 ============ Eze 33:9 Nevertheless, if thou warn the wicked of his way to turn from it; if he do not turn from his way, he shall die in his iniquity; but thou hast delivered thy soul.(KJV-1611) Eze 33:9 Men, si ou avèti mechan an, lèfini li pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche l' yo, men ou menm w'ap sove lavi pa ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:10 ============ Eze 33:10 Therefore, O thou son of man, speak unto the house of Israel; Thus ye speak, saying, If our transgressions and our sins be upon us, and we pine away in them, how should we then live?(KJV-1611) Eze 33:10 Seyè a pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! W'a fè moun pèp Izrayèl yo chonje jan yo t'ap plede repete: Peche nou yo ak fòt nou yo ap peze lou sou nou. Se fini y'ap fini ak nou! Nou pa ka viv nan kondisyon sa a ankò!(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:11 ============ Eze 33:11 Say unto them, As I live, saith the Lord GOD, I have no pleasure in the death of the wicked; but that the wicked turn from his way and live: turn ye, turn ye from your evil ways; for why will ye die, O house of Israel?(KJV-1611) Eze 33:11 Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:12 ============ Eze 33:12 Therefore, thou son of man, say unto the children of thy people, The righteousness of the righteous shall not deliver him in the day of his transgression: as for the wickedness of the wicked, he shall not fall thereby in the day that he turneth from his wickedness; neither shall the righteous be able to live for his righteousness in the day that he sinneth.(KJV-1611) Eze 33:12 Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:13 ============ Eze 33:13 When I shall say to the righteous, that he shall surely live; if he trust to his own righteousness, and commit iniquity, all his righteousnesses shall not be remembered; but for his iniquity that he hath committed, he shall die for it.(KJV-1611) Eze 33:13 Wi, mwen deklare tout moun k'ap mache dwat yo gen pou viv. Men, si yo tanmen mete nan tèt yo, paske yo te konn mache dwat la yo gen dwa fè sa ki mal, mwen p'ap chonje jan yo te konn mache dwat la menm. Y'ap mouri paske yo fè sa yo pa t' dwe fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:14 ============ Eze 33:14 Again, when I say unto the wicked, Thou shalt surely die; if he turn from his sin, and do that which is lawful and right;(KJV-1611) Eze 33:14 Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen,(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:15 ============ Eze 33:15 If the wicked restore the pledge, give again that he had robbed, walk in the statutes of life, without committing iniquity; he shall surely live, he shall not die.(KJV-1611) Eze 33:15 si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:16 ============ Eze 33:16 None of his sins that he hath committed shall be mentioned unto him: he hath done that which is lawful and right; he shall surely live.(KJV-1611) Eze 33:16 M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:17 ============ Eze 33:17 Yet the children of thy people say, The way of the Lord is not equal: but as for them, their way is not equal.(KJV-1611) Eze 33:17 Moun ou yo ap plede di: Sa Bondye ap fè a pa bon. Men, se sa yo menm y'ap fè a ki pa bon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:18 ============ Eze 33:18 When the righteous turneth from his righteousness, and committeth iniquity, he shall even die thereby.(KJV-1611) Eze 33:18 Lè moun k'ap mache dwat la sispann fè sa ki byen pou l' lage kò l' nan fè sa ki mal, l'ap mouri poutèt sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:19 ============ Eze 33:19 But if the wicked turn from his wickedness, and do that which is lawful and right, he shall live thereby.(KJV-1611) Eze 33:19 Konsa tou, lè mechan an sispann fè mechanste pou li mache dwat, pou li fè sa ki byen, l'ap sove lavi l' poutèt sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:20 ============ Eze 33:20 Yet ye say, The way of the Lord is not equal. O ye house of Israel, I will judge you every one after his ways.(KJV-1611) Eze 33:20 Nou di sa Bondye sèl Mèt la ap fè a pa bon. Enben, m'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Nou tande, moun pèp Izrayèl yo!(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:21 ============ Eze 33:21 And it came to pass in the twelfth year of our captivity, in the tenth month, in the fifth day of the month, that one that had escaped out of Jerusalem came unto me, saying, The city is smitten.(KJV-1611) Eze 33:21 Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:22 ============ Eze 33:22 Now the hand of the LORD was upon me in the evening, afore he that was escaped came; and had opened my mouth, until he came to me in the morning; and my mouth was opened, and I was no more dumb.(KJV-1611) Eze 33:22 Lavèy jou sa a, nan aswè, mwen te santi pouvwa Seyè a chita sou mwen avèk fòs. Nan maten, lè moun lan rive, Seyè a demare lang mwen pou m' te ka pale. Mwen pa t' bèbè ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:23 ============ Eze 33:23 Then the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 33:23 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:24 ============ Eze 33:24 Son of man, they that inhabit those wastes of the land of Israel speak, saying, Abraham was one, and he inherited the land: but we are many; the land is given us for inheritance.(KJV-1611) Eze 33:24 -Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:25 ============ Eze 33:25 Wherefore say unto them, Thus saith the Lord GOD; Ye eat with the blood, and lift up your eyes toward your idols, and shed blood: and shall ye possess the land?(KJV-1611) Eze 33:25 Men sa pou ou di yo: Seyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l'. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:26 ============ Eze 33:26 Ye stand upon your sword, ye work abomination, and ye defile every one his neighbour's wife: and shall ye possess the land?(KJV-1611) Eze 33:26 Nou met konfyans nou nan nepe nou. N'ap fè yon bann bagay ki derespektan. Tout gason marye ap kouche ak madanm frè parèy yo. Epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:27 ============ Eze 33:27 Say thou thus unto them, Thus saith the Lord GOD; As I live, surely they that are in the wastes shall fall by the sword, and him that is in the open field will I give to the beasts to be devoured, and they that be in the forts and in the caves shall die of the pestilence.(KJV-1611) Eze 33:27 W'a pale ak yo, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale: Rès moun k'ap viv nan lavil kraze yo pral mouri nan lagè. Moun k'ap viv andeyò yo, se bèt nan bwa ki pral manje yo. Moun ki al kache kò yo nan mòn, nan twou wòch, se maladi ki pral fini ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:28 ============ Eze 33:28 For I will lay the land most desolate, and the pomp of her strength shall cease; and the mountains of Israel shall be desolate, that none shall pass through.(KJV-1611) Eze 33:28 M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'. Fòs pouvwa ki te fè l' ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pesonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:29 ============ Eze 33:29 Then shall they know that I am the LORD, when I have laid the land most desolate because of all their abominations which they have committed.(KJV-1611) Eze 33:29 Lè m'a pini pèp la pou tout bagay derespektan yo fè yo, lè m'a fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l', lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:30 ============ Eze 33:30 Also, thou son of man, the children of thy people still are talking against thee by the walls and in the doors of the houses, and speak one to another, every one to his brother, saying, Come, I pray you, and hear what is the word that cometh forth from the LORD.(KJV-1611) Eze 33:30 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Tout pèp la sou do ou lè yo kontre yonn ak lòt bò miray lavil la, nan papòt lakay yo. Yonn ap di lòt: Ann al tande ki mesaj Seyè a voye ban nou fwa sa a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:31 ============ Eze 33:31 And they come unto thee as the people cometh, and they sit before thee as my people, and they hear thy words, but they will not do them: for with their mouth they shew much love, but their heart goeth after their covetousness.(KJV-1611) Eze 33:31 Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:32 ============ Eze 33:32 And, lo, thou art unto them as a very lovely song of one that hath a pleasant voice, and can play well on an instrument: for they hear thy words, but they do them not.(KJV-1611) Eze 33:32 Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 33:33 ============ Eze 33:33 And when this cometh to pass, (lo, it will come,) then shall they know that a prophet hath been among them.(KJV-1611) Eze 33:33 Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:1 ============ Eze 34:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 34:1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:2 ============ Eze 34:2 Son of man, prophesy against the shepherds of Israel, prophesy, and say unto them, Thus saith the Lord GOD unto the shepherds; Woe be to the shepherds of Israel that do feed themselves! should not the shepherds feed the flocks?(KJV-1611) Eze 34:2 -Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:3 ============ Eze 34:3 Ye eat the fat, and ye clothe you with the wool, ye kill them that are fed: but ye feed not the flock.(KJV-1611) Eze 34:3 Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:4 ============ Eze 34:4 The diseased have ye not strengthened, neither have ye healed that which was sick, neither have ye bound up that which was broken, neither have ye brought again that which was driven away, neither have ye sought that which was lost; but with force and with cruelty have ye ruled them.(KJV-1611) Eze 34:4 Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:5 ============ Eze 34:5 And they were scattered, because there is no shepherd: and they became meat to all the beasts of the field, when they were scattered.(KJV-1611) Eze 34:5 Paske mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:6 ============ Eze 34:6 My sheep wandered through all the mountains, and upon every high hill: yea, my flock was scattered upon all the face of the earth, and none did search or seek after them.(KJV-1611) Eze 34:6 Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pesonn pa okipe yo, pesonn pa chache kote yo ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:7 ============ Eze 34:7 Therefore, ye shepherds, hear the word of the LORD;(KJV-1611) Eze 34:7 Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Seyè a voye di nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:8 ============ Eze 34:8 As I live, saith the Lord GOD, surely because my flock became a prey, and my flock became meat to every beast of the field, because there was no shepherd, neither did my shepherds search for my flock, but the shepherds fed themselves, and fed not my flock;(KJV-1611) Eze 34:8 Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m' yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m' yo pa fè anyen pou mouton m' yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:9 ============ Eze 34:9 Therefore, O ye shepherds, hear the word of the LORD;(KJV-1611) Eze 34:9 Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Seyè a, m'ap di nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:10 ============ Eze 34:10 Thus saith the Lord GOD; Behold, I am against the shepherds; and I will require my flock at their hand, and cause them to cease from feeding the flock; neither shall the shepherds feed themselves any more; for I will deliver my flock from their mouth, that they may not be meat for them.(KJV-1611) Eze 34:10 Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:11 ============ Eze 34:11 For thus saith the Lord GOD; Behold, I, even I, will both search my sheep, and seek them out.(KJV-1611) Eze 34:11 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se mwen menm menm ki pral chache mouton m' yo pou m' swen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:12 ============ Eze 34:12 As a shepherd seeketh out his flock in the day that he is among his sheep that are scattered; so will I seek out my sheep, and will deliver them out of all places where they have been scattered in the cloudy and dark day.(KJV-1611) Eze 34:12 Menm jan yon gadò mache swen mouton l' yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m' yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:13 ============ Eze 34:13 And I will bring them out from the people, and gather them from the countries, and will bring them to their own land, and feed them upon the mountains of Israel by the rivers, and in all the inhabited places of the country.(KJV-1611) Eze 34:13 M'ap fè yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:14 ============ Eze 34:14 I will feed them in a good pasture, and upon the high mountains of Israel shall their fold be: there shall they lie in a good fold, and in a fat pasture shall they feed upon the mountains of Israel.(KJV-1611) Eze 34:14 M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:15 ============ Eze 34:15 I will feed my flock, and I will cause them to lie down, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 34:15 Se mwen menm ki pral okipe mouton m' yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:16 ============ Eze 34:16 I will seek that which was lost, and bring again that which was driven away, and will bind up that which was broken, and will strengthen that which was sick: but I will destroy the fat and the strong; I will feed them with judgment.(KJV-1611) Eze 34:16 Sa ki pèdi yo, m'ap chache yo. Sa ki te soti nan bann yo, m'ap fè yo tounen nan plas yo. Sa ki blese yo, m'ap mete renmèd pou yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men, sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton m' yo jan m' dwe fè l' la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:17 ============ Eze 34:17 And as for you, O my flock, thus saith the Lord GOD; Behold, I judge between cattle and cattle, between the rams and the he goats.(KJV-1611) Eze 34:17 Pou nou menm, mouton m' yo, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:18 ============ Eze 34:18 Seemeth it a small thing unto you to have eaten up the good pasture, but ye must tread down with your feet the residue of your pastures? and to have drunk of the deep waters, but ye must foul the residue with your feet?(KJV-1611) Eze 34:18 Gen en nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:19 ============ Eze 34:19 And as for my flock, they eat that which ye have trodden with your feet; and they drink that which ye have fouled with your feet.(KJV-1611) Eze 34:19 Konsa, rès mouton m' yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:20 ============ Eze 34:20 Therefore thus saith the Lord GOD unto them; Behold, I, even I, will judge between the fat cattle and between the lean cattle.(KJV-1611) Eze 34:20 Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:21 ============ Eze 34:21 Because ye have thrust with side and with shoulder, and pushed all the diseased with your horns, till ye have scattered them abroad;(KJV-1611) Eze 34:21 Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:22 ============ Eze 34:22 Therefore will I save my flock, and they shall no more be a prey; and I will judge between cattle and cattle.(KJV-1611) Eze 34:22 Men, m'ap vin sove mouton m' yo, m' p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:23 ============ Eze 34:23 And I will set up one shepherd over them, and he shall feed them, even my servant David; he shall feed them, and he shall be their shepherd.(KJV-1611) Eze 34:23 M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m' lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:24 ============ Eze 34:24 And I the LORD will be their God, and my servant David a prince among them; I the LORD have spoken it.(KJV-1611) Eze 34:24 Se mwen menm, Seyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m' lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:25 ============ Eze 34:25 And I will make with them a covenant of peace, and will cause the evil beasts to cease out of the land: and they shall dwell safely in the wilderness, and sleep in the woods.(KJV-1611) Eze 34:25 M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:26 ============ Eze 34:26 And I will make them and the places round about my hill a blessing; and I will cause the shower to come down in his season; there shall be showers of blessing.(KJV-1611) Eze 34:26 M'ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:27 ============ Eze 34:27 And the tree of the field shall yield her fruit, and the earth shall yield her increase, and they shall be safe in their land, and shall know that I am the LORD, when I have broken the bands of their yoke, and delivered them out of the hand of those that served themselves of them.(KJV-1611) Eze 34:27 Pyebwa nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:28 ============ Eze 34:28 And they shall no more be a prey to the heathen, neither shall the beast of the land devour them; but they shall dwell safely, and none shall make them afraid.(KJV-1611) Eze 34:28 Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pesonn p'ap vin chache yo kont.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:29 ============ Eze 34:29 And I will raise up for them a plant of renown, and they shall be no more consumed with hunger in the land, neither bear the shame of the heathen any more.(KJV-1611) Eze 34:29 M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:30 ============ Eze 34:30 Thus shall they know that I the LORD their God am with them, and that they, even the house of Israel, are my people, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 34:30 Tout moun va konnen se mwen menm Seyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m' lan menm yo ye. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 34:31 ============ Eze 34:31 And ye my flock, the flock of my pasture, are men, and I am your God, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 34:31 Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:1 ============ Eze 35:1 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 35:1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:2 ============ Eze 35:2 Son of man, set thy face against mount Seir, and prophesy against it,(KJV-1611) Eze 35:2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn Seyi, bay moun Edon yo mesaj mwen ba ou pou yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:3 ============ Eze 35:3 And say unto it, Thus saith the Lord GOD; Behold, O mount Seir, I am against thee, and I will stretch out mine hand against thee, and I will make thee most desolate.(KJV-1611) Eze 35:3 W'a di yo men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Nou menm moun peyi Seyi, m'ap leve dèyè nou tou! Mwen pral lonje men m' sou nou pou m' pini nou. M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pesonn ladan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:4 ============ Eze 35:4 I will lay thy cities waste, and thou shalt be desolate, and thou shalt know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 35:4 M'ap fè tout lavil nou yo tounen mazi. M'ap fè peyi a rete san pesonn ladan l'. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:5 ============ Eze 35:5 Because thou hast had a perpetual hatred, and hast shed the blood of the children of Israel by the force of the sword in the time of their calamity, in the time that their iniquity had an end:(KJV-1611) Eze 35:5 Nou pa janm sispann rayi moun Izrayèl yo. Lè malè lagè tonbe sou yo, lè yo t'ap resevwa dènye chatiman pou peche yo a, nou lage yo nan men lènmi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:6 ============ Eze 35:6 Therefore, as I live, saith the Lord GOD, I will prepare thee unto blood, and blood shall pursue thee: sith thou hast not hated blood, even blood shall pursue thee.(KJV-1611) Eze 35:6 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: m'ap fè nou benyen nan dlo kò nou, nou p'ap ka chape. Wi, nou te mete san yo deyò, san an gen pou pousib nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:7 ============ Eze 35:7 Thus will I make mount Seir most desolate, and cut off from it him that passeth out and him that returneth.(KJV-1611) Eze 35:7 M'ap fè mòn Seyi yo, peyi Edon an, tounen yon dezè kote moun pa rete. M'ap touye dènye moun k'ap ale vini nan peyi nou an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:8 ============ Eze 35:8 And I will fill his mountains with his slain men: in thy hills, and in thy valleys, and in all thy rivers, shall they fall that are slain with the sword.(KJV-1611) Eze 35:8 Mwen pral kouvri mòn nou yo ak kadav. Ti mòn nou yo, fon nou yo ak ravin nou yo pral kouvri ak kadav moun yo touye nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:9 ============ Eze 35:9 I will make thee perpetual desolations, and thy cities shall not return: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 35:9 M'ap fè peyi nou an tounen dezè pou toutan. p'ap gen yon moun nan lavil nou yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:10 ============ Eze 35:10 Because thou hast said, These two nations and these two countries shall be mine, and we will possess it; whereas the LORD was there:(KJV-1611) Eze 35:10 Nou te di konsa ni nasyon Izrayèl la, ni nasyon Jida a ansanm ak tout peyi yo a, se pou nou yo ye, nou pral pran yo pou nou, malgre se mwen menm ki te Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:11 ============ Eze 35:11 Therefore, as I live, saith the Lord GOD, I will even do according to thine anger, and according to thine envy which thou hast used out of thy hatred against them; and I will make myself known among them, when I have judged thee.(KJV-1611) Eze 35:11 Enben! Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Jan nou te move sou yo! Jan nou te rayi sò yo! Jan nou pa t' vle wè yo! M'ap fè nou peye pou tou sa. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm k'ap pini nou pou tou sa nou te fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:12 ============ Eze 35:12 And thou shalt know that I am the LORD, and that I have heard all thy blasphemies which thou hast spoken against the mountains of Israel, saying, They are laid desolate, they are given us to consume.(KJV-1611) Eze 35:12 Wi, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, mwen te tande jan nou t'ap pase mòn peyi Izrayèl yo nan betiz, lè n'ap plede di: Yo tounen yon dezè, yo ban nou yo pou n' ka devore yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:13 ============ Eze 35:13 Thus with your mouth ye have boasted against me, and have multiplied your words against me: I have heard them.(KJV-1611) Eze 35:13 Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:14 ============ Eze 35:14 Thus saith the Lord GOD; When the whole earth rejoiceth, I will make thee desolate.(KJV-1611) Eze 35:14 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Tout moun sou latè pral kontan lè m'a fè peyi nou an tounen yon dezè(Creole-HT) ======= Ezekiel 35:15 ============ Eze 35:15 As thou didst rejoice at the inheritance of the house of Israel, because it was desolate, so will I do unto thee: thou shalt be desolate, O mount Seir, and all Idumea, even all of it: and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 35:15 menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:1 ============ Eze 36:1 Also, thou son of man, prophesy unto the mountains of Israel, and say, Ye mountains of Israel, hear the word of the LORD:(KJV-1611) Eze 36:1 Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:2 ============ Eze 36:2 Thus saith the Lord GOD; Because the enemy hath said against you, Aha, even the ancient high places are ours in possession:(KJV-1611) Eze 36:2 Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:3 ============ Eze 36:3 Therefore prophesy and say, Thus saith the Lord GOD; Because they have made you desolate, and swallowed you up on every side, that ye might be a possession unto the residue of the heathen, and ye are taken up in the lips of talkers, and are an infamy of the people:(KJV-1611) Eze 36:3 Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:4 ============ Eze 36:4 Therefore, ye mountains of Israel, hear the word of the Lord GOD; Thus saith the Lord GOD to the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys, to the desolate wastes, and to the cities that are forsaken, which became a prey and derision to the residue of the heathen that are round about;(KJV-1611) Eze 36:4 Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:5 ============ Eze 36:5 Therefore thus saith the Lord GOD; Surely in the fire of my jealousy have I spoken against the residue of the heathen, and against all Idumea, which have appointed my land into their possession with the joy of all their heart, with despiteful minds, to cast it out for a prey.(KJV-1611) Eze 36:5 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l' nèt ale a, yo pa t' manke kontan, yo pa t' manke pase nou nan rizib.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:6 ============ Eze 36:6 Prophesy therefore concerning the land of Israel, and say unto the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys, Thus saith the Lord GOD; Behold, I have spoken in my jealousy and in my fury, because ye have borne the shame of the heathen:(KJV-1611) Eze 36:6 Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:7 ============ Eze 36:7 Therefore thus saith the Lord GOD; I have lifted up mine hand, Surely the heathen that are about you, they shall bear their shame.(KJV-1611) Eze 36:7 enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' pou m' fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:8 ============ Eze 36:8 But ye, O mountains of Israel, ye shall shoot forth your branches, and yield your fruit to my people of Israel; for they are at hand to come.(KJV-1611) Eze 36:8 Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:9 ============ Eze 36:9 For, behold, I am for you, and I will turn unto you, and ye shall be tilled and sown:(KJV-1611) Eze 36:9 Paske mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:10 ============ Eze 36:10 And I will multiply men upon you, all the house of Israel, even all of it: and the cities shall be inhabited, and the wastes shall be builded:(KJV-1611) Eze 36:10 Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:11 ============ Eze 36:11 And I will multiply upon you man and beast; and they shall increase and bring fruit: and I will settle you after your old estates, and will do better unto you than at your beginnings: and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 36:11 Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:12 ============ Eze 36:12 Yea, I will cause men to walk upon you, even my people Israel; and they shall possess thee, and thou shalt be their inheritance, and thou shalt no more henceforth bereave them of men.(KJV-1611) Eze 36:12 M'ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:13 ============ Eze 36:13 Thus saith the Lord GOD; Because they say unto you, Thou land devourest up men, and hast bereaved thy nations:(KJV-1611) Eze 36:13 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Yo te mache di: Peyi a ap manje moun li yo. L'ap touye tout pitit moun ki rete ladan l' yo. Se te vre.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:14 ============ Eze 36:14 Therefore thou shalt devour men no more, neither bereave thy nations any more, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 36:14 Men, depi jòdi a, peyi a p'ap manje moun li yo ankò, li p'ap touye pitit moun ki rete ladan l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:15 ============ Eze 36:15 Neither will I cause men to hear in thee the shame of the heathen any more, neither shalt thou bear the reproach of the people any more, neither shalt thou cause thy nations to fall any more, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 36:15 M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:16 ============ Eze 36:16 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 36:16 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:17 ============ Eze 36:17 Son of man, when the house of Israel dwelt in their own land, they defiled it by their own way and by their doings: their way was before me as the uncleanness of a removed woman.(KJV-1611) Eze 36:17 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo te rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan ki mete peyi a nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa t' ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen yo pa t' pi bon pase yon fi ki gen lalin li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:18 ============ Eze 36:18 Wherefore I poured my fury upon them for the blood that they had shed upon the land, and for their idols wherewith they had polluted it:(KJV-1611) Eze 36:18 Se poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l' pa t' ka fè sèvis pou mwen ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:19 ============ Eze 36:19 And I scattered them among the heathen, and they were dispersed through the countries: according to their way and according to their doings I judged them.(KJV-1611) Eze 36:19 Mwen gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:20 ============ Eze 36:20 And when they entered unto the heathen, whither they went, they profaned my holy name, when they said to them, These are the people of the LORD, and are gone forth out of his land.(KJV-1611) Eze 36:20 Nan tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Seyè a wi! Yo blije soti kite peyi li te ba yo a!(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:21 ============ Eze 36:21 But I had pity for mine holy name, which the house of Israel had profaned among the heathen, whither they went.(KJV-1611) Eze 36:21 Sa te ban m' tèt chaje pou m' te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m' nan tout peyi kote yo pase.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:22 ============ Eze 36:22 Therefore say unto the house of Israel, thus saith the Lord GOD; I do not this for your sakes, O house of Israel, but for mine holy name's sake, which ye have profaned among the heathen, whither ye went.(KJV-1611) Eze 36:22 Se poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m' pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l', tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:23 ============ Eze 36:23 And I will sanctify my great name, which was profaned among the heathen, which ye have profaned in the midst of them; and the heathen shall know that I am the LORD, saith the Lord GOD, when I shall be sanctified in you before their eyes.(KJV-1611) Eze 36:23 Menm jan nou te trennen non m' nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m' pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m' gen pouvwa, jan m' se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:24 ============ Eze 36:24 For I will take you from among the heathen, and gather you out of all countries, and will bring you into your own land.(KJV-1611) Eze 36:24 M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou soti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:25 ============ Eze 36:25 Then will I sprinkle clean water upon you, and ye shall be clean: from all your filthiness, and from all your idols, will I cleanse you.(KJV-1611) Eze 36:25 M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:26 ============ Eze 36:26 A new heart also will I give you, and a new spirit will I put within you: and I will take away the stony heart out of your flesh, and I will give you an heart of flesh.(KJV-1611) Eze 36:26 M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:27 ============ Eze 36:27 And I will put my spirit within you, and cause you to walk in my statutes, and ye shall keep my judgments, and do them.(KJV-1611) Eze 36:27 M'ap mete Lespri m' nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:28 ============ Eze 36:28 And ye shall dwell in the land that I gave to your fathers; and ye shall be my people, and I will be your God.(KJV-1611) Eze 36:28 Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:29 ============ Eze 36:29 I will also save you from all your uncleannesses: and I will call for the corn, and will increase it, and lay no famine upon you.(KJV-1611) Eze 36:29 M'ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:30 ============ Eze 36:30 And I will multiply the fruit of the tree, and the increase of the field, that ye shall receive no more reproach of famine among the heathen.(KJV-1611) Eze 36:30 M'ap fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:31 ============ Eze 36:31 Then shall ye remember your own evil ways, and your doings that were not good, and shall lothe yourselves in your own sight for your iniquities and for your abominations.(KJV-1611) Eze 36:31 Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:32 ============ Eze 36:32 Not for your sakes do I this, saith the Lord GOD, be it known unto you: be ashamed and confounded for your own ways, O house of Israel.(KJV-1611) Eze 36:32 Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:33 ============ Eze 36:33 Thus saith the Lord GOD; In the day that I shall have cleansed you from all your iniquities I will also cause you to dwell in the cities, and the wastes shall be builded.(KJV-1611) Eze 36:33 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Jou m'a mete nou nan kondisyon pou sèvi m' lan, lè m'a wete nou anba tout peche nou yo, m'a kite nou al rete nan lavil nou yo, m'a kite nou rebati kay kraze nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:34 ============ Eze 36:34 And the desolate land shall be tilled, whereas it lay desolate in the sight of all that passed by.(KJV-1611) Eze 36:34 Tout moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:35 ============ Eze 36:35 And they shall say, This land that was desolate is become like the garden of Eden; and the waste and desolate and ruined cities are become fenced, and are inhabited.(KJV-1611) Eze 36:35 Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:36 ============ Eze 36:36 Then the heathen that are left round about you shall know that I the LORD build the ruined places, and plant that that was desolate: I the LORD have spoken it, and I will do it.(KJV-1611) Eze 36:36 Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'!(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:37 ============ Eze 36:37 Thus saith the Lord GOD; I will yet for this be enquired of by the house of Israel, to do it for them; I will increase them with men like a flock.(KJV-1611) Eze 36:37 Seyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m' sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.(Creole-HT) ======= Ezekiel 36:38 ============ Eze 36:38 As the holy flock, as the flock of Jerusalem in her solemn feasts; so shall the waste cities be filled with flocks of men: and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 36:38 Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:1 ============ Eze 37:1 The hand of the LORD was upon me, and carried me out in the spirit of the LORD, and set me down in the midst of the valley which was full of bones,(KJV-1611) Eze 37:1 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:2 ============ Eze 37:2 And caused me to pass by them round about: and, behold, there were very many in the open valley; and, lo, they were very dry.(KJV-1611) Eze 37:2 Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:3 ============ Eze 37:3 And he said unto me, Son of man, can these bones live? And I answered, O Lord GOD, thou knowest.(KJV-1611) Eze 37:3 Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen!(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:4 ============ Eze 37:4 Again he said unto me, Prophesy upon these bones, and say unto them, O ye dry bones, hear the word of the LORD.(KJV-1611) Eze 37:4 Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:5 ============ Eze 37:5 Thus saith the Lord GOD unto these bones; Behold, I will cause breath to enter into you, and ye shall live:(KJV-1611) Eze 37:5 Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:6 ============ Eze 37:6 And I will lay sinews upon you, and will bring up flesh upon you, and cover you with skin, and put breath in you, and ye shall live; and ye shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 37:6 M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:7 ============ Eze 37:7 So I prophesied as I was commanded: and as I prophesied, there was a noise, and behold a shaking, and the bones came together, bone to his bone.(KJV-1611) Eze 37:7 Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:8 ============ Eze 37:8 And when I beheld, lo, the sinews and the flesh came up upon them, and the skin covered them above: but there was no breath in them.(KJV-1611) Eze 37:8 Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:9 ============ Eze 37:9 Then said he unto me, Prophesy unto the wind, prophesy, son of man, and say to the wind, Thus saith the Lord GOD; Come from the four winds, O breath, and breathe upon these slain, that they may live.(KJV-1611) Eze 37:9 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:10 ============ Eze 37:10 So I prophesied as he commanded me, and the breath came into them, and they lived, and stood up upon their feet, an exceeding great army.(KJV-1611) Eze 37:10 Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:11 ============ Eze 37:11 Then he said unto me, Son of man, these bones are the whole house of Israel: behold, they say, Our bones are dried, and our hope is lost: we are cut off for our parts.(KJV-1611) Eze 37:11 Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:12 ============ Eze 37:12 Therefore prophesy and say unto them, Thus saith the Lord GOD; Behold, O my people, I will open your graves, and cause you to come up out of your graves, and bring you into the land of Israel.(KJV-1611) Eze 37:12 Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:13 ============ Eze 37:13 And ye shall know that I am the LORD, when I have opened your graves, O my people, and brought you up out of your graves,(KJV-1611) Eze 37:13 Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:14 ============ Eze 37:14 And shall put my spirit in you, and ye shall live, and I shall place you in your own land: then shall ye know that I the LORD have spoken it, and performed it, saith the LORD.(KJV-1611) Eze 37:14 M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:15 ============ Eze 37:15 The word of the LORD came again unto me, saying,(KJV-1611) Eze 37:15 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:16 ============ Eze 37:16 Moreover, thou son of man, take thee one stick, and write upon it, For Judah, and for the children of Israel his companions: then take another stick, and write upon it, For Joseph, the stick of Ephraim and for all the house of Israel his companions:(KJV-1611) Eze 37:16 -Nonm o! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:17 ============ Eze 37:17 And join them one to another into one stick; and they shall become one in thine hand.(KJV-1611) Eze 37:17 Pran de moso bwa yo, kole yo bout pou bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:18 ============ Eze 37:18 And when the children of thy people shall speak unto thee, saying, Wilt thou not shew us what thou meanest by these?(KJV-1611) Eze 37:18 Lè moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:19 ============ Eze 37:19 Say unto them, Thus saith the Lord GOD; Behold, I will take the stick of Joseph, which is in the hand of Ephraim, and the tribes of Israel his fellows, and will put them with him, even with the stick of Judah, and make them one stick, and they shall be one in mine hand.(KJV-1611) Eze 37:19 W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:20 ============ Eze 37:20 And the sticks whereon thou writest shall be in thine hand before their eyes.(KJV-1611) Eze 37:20 Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:21 ============ Eze 37:21 And say unto them, Thus saith the Lord GOD; Behold, I will take the children of Israel from among the heathen, whither they be gone, and will gather them on every side, and bring them into their own land:(KJV-1611) Eze 37:21 Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:22 ============ Eze 37:22 And I will make them one nation in the land upon the mountains of Israel; and one king shall be king to them all: and they shall be no more two nations, neither shall they be divided into two kingdoms any more at all.(KJV-1611) Eze 37:22 M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:23 ============ Eze 37:23 Neither shall they defile themselves any more with their idols, nor with their detestable things, nor with any of their transgressions: but I will save them out of all their dwellingplaces, wherein they have sinned, and will cleanse them: so shall they be my people, and I will be their God.(KJV-1611) Eze 37:23 Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:24 ============ Eze 37:24 And David my servant shall be king over them; and they all shall have one shepherd: they shall also walk in my judgments, and observe my statutes, and do them.(KJV-1611) Eze 37:24 Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:25 ============ Eze 37:25 And they shall dwell in the land that I have given unto Jacob my servant, wherein your fathers have dwelt; and they shall dwell therein, even they, and their children, and their children's children for ever: and my servant David shall be their prince for ever.(KJV-1611) Eze 37:25 Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:26 ============ Eze 37:26 Moreover I will make a covenant of peace with them; it shall be an everlasting covenant with them: and I will place them, and multiply them, and will set my sanctuary in the midst of them for evermore.(KJV-1611) Eze 37:26 M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:27 ============ Eze 37:27 My tabernacle also shall be with them: yea, I will be their God, and they shall be my people.(KJV-1611) Eze 37:27 Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 37:28 ============ Eze 37:28 And the heathen shall know that I the LORD do sanctify Israel, when my sanctuary shall be in the midst of them for evermore.(KJV-1611) Eze 37:28 Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l' te ka viv apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:1 ============ Eze 38:1 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Eze 38:1 Seyè a pale avè m' ankò. li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:2 ============ Eze 38:2 Son of man, set thy face against Gog, the land of Magog, the chief prince of Meshech and Tubal, and prophesy against him,(KJV-1611) Eze 38:2 -Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:3 ============ Eze 38:3 And say, Thus saith the Lord GOD; Behold, I am against thee, O Gog, the chief prince of Meshech and Tubal:(KJV-1611) Eze 38:3 W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:4 ============ Eze 38:4 And I will turn thee back, and put hooks into thy jaws, and I will bring thee forth, and all thine army, horses and horsemen, all of them clothed with all sorts of armour, even a great company with bucklers and shields, all of them handling swords:(KJV-1611) Eze 38:4 M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:5 ============ Eze 38:5 Persia, Ethiopia, and Libya with them; all of them with shield and helmet:(KJV-1611) Eze 38:5 Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:6 ============ Eze 38:6 Gomer, and all his bands; the house of Togarmah of the north quarters, and all his bands: and many people with thee.(KJV-1611) Eze 38:6 Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:7 ============ Eze 38:7 Be thou prepared, and prepare for thyself, thou, and all thy company that are assembled unto thee, and be thou a guard unto them.(KJV-1611) Eze 38:7 Di l' konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l' yo ki sanble bò kote l' pou yo tann lòd mwen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:8 ============ Eze 38:8 After many days thou shalt be visited: in the latter years thou shalt come into the land that is brought back from the sword, and is gathered out of many people, against the mountains of Israel, which have been always waste: but it is brought forth out of the nations, and they shall dwell safely all of them.(KJV-1611) Eze 38:8 Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:9 ============ Eze 38:9 Thou shalt ascend and come like a storm, thou shalt be like a cloud to cover the land, thou, and all thy bands, and many people with thee.(KJV-1611) Eze 38:9 L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:10 ============ Eze 38:10 Thus saith the Lord GOD; It shall also come to pass, that at the same time shall things come into thy mind, and thou shalt think an evil thought:(KJV-1611) Eze 38:10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:11 ============ Eze 38:11 And thou shalt say, I will go up to the land of unwalled villages; I will go to them that are at rest, that dwell safely, all of them dwelling without walls, and having neither bars nor gates,(KJV-1611) Eze 38:11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:12 ============ Eze 38:12 To take a spoil, and to take a prey; to turn thine hand upon the desolate places that are now inhabited, and upon the people that are gathered out of the nations, which have gotten cattle and goods, that dwell in the midst of the land.(KJV-1611) Eze 38:12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:13 ============ Eze 38:13 Sheba, and Dedan, and the merchants of Tarshish, with all the young lions thereof, shall say unto thee, Art thou come to take a spoil? hast thou gathered thy company to take a prey? to carry away silver and gold, to take away cattle and goods, to take a great spoil?(KJV-1611) Eze 38:13 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:14 ============ Eze 38:14 Therefore, son of man, prophesy and say unto Gog, Thus saith the Lord GOD; In that day when my people of Israel dwelleth safely, shalt thou not know it?(KJV-1611) Eze 38:14 Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:15 ============ Eze 38:15 And thou shalt come from thy place out of the north parts, thou, and many people with thee, all of them riding upon horses, a great company, and a mighty army:(KJV-1611) Eze 38:15 W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:16 ============ Eze 38:16 And thou shalt come up against my people of Israel, as a cloud to cover the land; it shall be in the latter days, and I will bring thee against my land, that the heathen may know me, when I shall be sanctified in thee, O Gog, before their eyes.(KJV-1611) Eze 38:16 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:17 ============ Eze 38:17 Thus saith the Lord GOD; Art thou he of whom I have spoken in old time by my servants the prophets of Israel, which prophesied in those days many years that I would bring thee against them?(KJV-1611) Eze 38:17 Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m' yo, pou m' te fè yo konnen mwen gen pou m' te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:18 ============ Eze 38:18 And it shall come to pass at the same time when Gog shall come against the land of Israel, saith the Lord GOD, that my fury shall come up in my face.(KJV-1611) Eze 38:18 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:19 ============ Eze 38:19 For in my jealousy and in the fire of my wrath have I spoken, Surely in that day there shall be a great shaking in the land of Israel;(KJV-1611) Eze 38:19 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:20 ============ Eze 38:20 So that the fishes of the sea, and the fowls of the heaven, and the beasts of the field, and all creeping things that creep upon the earth, and all the men that are upon the face of the earth, shall shake at my presence, and the mountains shall be thrown down, and the steep places shall fall, and every wall shall fall to the ground.(KJV-1611) Eze 38:20 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m'. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:21 ============ Eze 38:21 And I will call for a sword against him throughout all my mountains, saith the Lord GOD: every man's sword shall be against his brother.(KJV-1611) Eze 38:21 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:22 ============ Eze 38:22 And I will plead against him with pestilence and with blood; and I will rain upon him, and upon his bands, and upon the many people that are with him, an overflowing rain, and great hailstones, fire, and brimstone.(KJV-1611) Eze 38:22 M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 38:23 ============ Eze 38:23 Thus will I magnify myself, and sanctify myself; and I will be known in the eyes of many nations, and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 38:23 Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:1 ============ Eze 39:1 Therefore, thou son of man, prophesy against Gog, and say, Thus saith the Lord GOD; Behold, I am against thee, O Gog, the chief prince of Meshech and Tubal:(KJV-1611) Eze 39:1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m' pral leve dèyè ou tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:2 ============ Eze 39:2 And I will turn thee back, and leave but the sixth part of thee, and will cause thee to come up from the north parts, and will bring thee upon the mountains of Israel:(KJV-1611) Eze 39:2 M'ap fè ou pran yon lòt direksyon, m'ap fè ou soti nan pwent nò a, m'ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:3 ============ Eze 39:3 And I will smite thy bow out of thy left hand, and will cause thine arrows to fall out of thy right hand.(KJV-1611) Eze 39:3 Lè sa a, m'ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M'ap fè flèch yo soti tonbe nan men dwat ou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:4 ============ Eze 39:4 Thou shalt fall upon the mountains of Israel, thou, and all thy bands, and the people that is with thee: I will give thee unto the ravenous birds of every sort, and to the beasts of the field to be devoured.(KJV-1611) Eze 39:4 Ou menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k'ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M'ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwezo ak bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:5 ============ Eze 39:5 Thou shalt fall upon the open field: for I have spoken it, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 39:5 Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:6 ============ Eze 39:6 And I will send a fire on Magog, and among them that dwell carelessly in the isles: and they shall know that I am the LORD.(KJV-1611) Eze 39:6 M'ap voye yon sèl dife nan peyi Magòg ak nan tout peyi bò lanmè kote moun t'ap viv san bri san kont lan. Tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:7 ============ Eze 39:7 So will I make my holy name known in the midst of my people Israel; and I will not let them pollute my holy name any more: and the heathen shall know that I am the LORD, the Holy One in Israel.(KJV-1611) Eze 39:7 Mwen pral fè tout moun nan pèp Izrayèl la konnen mwen gen yon non apa. Mwen p'ap kite yo trennen non mwen nan labou ankò. Lè sa a nasyon yo va konnen mwen menm, Seyè a, ki Bondye pèp Izrayèl la, se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:8 ============ Eze 39:8 Behold, it is come, and it is done, saith the Lord GOD; this is the day whereof I have spoken.(KJV-1611) Eze 39:8 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t'ap pale a gen pou rive. Sa se sèten.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:9 ============ Eze 39:9 And they that dwell in the cities of Israel shall go forth, and shall set on fire and burn the weapons, both the shields and the bucklers, the bows and the arrows, and the handstaves, and the spears, and they shall burn them with fire seven years:(KJV-1611) Eze 39:9 Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l' boule.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:10 ============ Eze 39:10 So that they shall take no wood out of the field, neither cut down any out of the forests; for they shall burn the weapons with fire: and they shall spoil those that spoiled them, and rob those that robbed them, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 39:10 Yo p'ap bezwen al chache bwa nan jaden pou fè dife, ni yo p'ap bezwen al koupe pyebwa nan rak, paske yo pral gen tout zam sa yo pou yo boule fè dife. Yo pral piye moun ki t'ap piye yo. Yo pral devalize moun ki t'ap devalize yo. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:11 ============ Eze 39:11 And it shall come to pass in that day, that I will give unto Gog a place there of graves in Israel, the valley of the passengers on the east of the sea: and it shall stop the noses of the passengers: and there shall they bury Gog and all his multitude: and they shall call it The valley of Hamongog.(KJV-1611) Eze 39:11 Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:12 ============ Eze 39:12 And seven months shall the house of Israel be burying of them, that they may cleanse the land.(KJV-1611) Eze 39:12 Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:13 ============ Eze 39:13 Yea, all the people of the land shall bury them; and it shall be to them a renown the day that I shall be glorified, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 39:13 Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y'ap fè lwanj pou mwen an, y'a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:14 ============ Eze 39:14 And they shall sever out men of continual employment, passing through the land to bury with the passengers those that remain upon the face of the earth, to cleanse it: after the end of seven months shall they search.(KJV-1611) Eze 39:14 Apre sèt mwa sa yo, y'a chwazi gason pou vwayaje nan tout peyi a al chache kadav ki rete atè a pou yo antere yo. Se travay sa a ase y'a gen pou yo fè. Konsa, y'a mete peyi a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:15 ============ Eze 39:15 And the passengers that pass through the land, when any seeth a man's bone, then shall he set up a sign by it, till the buriers have buried it in the valley of Hamongog.(KJV-1611) Eze 39:15 Nan vwayaj y'ap fè nan tout peyi a, chak fwa y'a jwenn yon zosman moun, y'a mete yon mak bò kote l' pou kwòkmò yo ka vin pran l' pou y' al antere l' nan Fon lame Gòg la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:16 ============ Eze 39:16 And also the name of the city shall be Hamonah. Thus shall they cleanse the land.(KJV-1611) Eze 39:16 Va gen yon lavil toupre, y'a rele l': Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:17 ============ Eze 39:17 And, thou son of man, thus saith the Lord GOD; Speak unto every feathered fowl, and to every beast of the field, Assemble yourselves, and come; gather yourselves on every side to my sacrifice that I do sacrifice for you, even a great sacrifice upon the mountains of Israel, that ye may eat flesh, and drink blood.(KJV-1611) Eze 39:17 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:18 ============ Eze 39:18 Ye shall eat the flesh of the mighty, and drink the blood of the princes of the earth, of rams, of lambs, and of goats, of bullocks, all of them fatlings of Bashan.(KJV-1611) Eze 39:18 Y'a manje vyann vanyan sòlda yo, y'a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak towo chatre byen gra peyi Bazan yo touye pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:19 ============ Eze 39:19 And ye shall eat fat till ye be full, and drink blood till ye be drunken, of my sacrifice which I have sacrificed for you.(KJV-1611) Eze 39:19 Lè m'a fin touye tout moun sa yo tankou lè y'ap fè ofrann bèt pou mwen, zwezo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y'a bwè san jouk yo sou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:20 ============ Eze 39:20 Thus ye shall be filled at my table with horses and chariots, with mighty men, and with all men of war, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 39:20 Sou tab mwen an, y'a manje chwal, kavalye, sòlda ak moun k'ap fè lagè mezi yo kapab. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:21 ============ Eze 39:21 And I will set my glory among the heathen, and all the heathen shall see my judgment that I have executed, and my hand that I have laid upon them.(KJV-1611) Eze 39:21 Seyè a di ankò: -M'ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M'ap moutre yo jan mwen konn pini lè m'a pini yo, y'a santi fòs ponyèt mwen lè y'a tonbe anba men m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:22 ============ Eze 39:22 So the house of Israel shall know that I am the LORD their God from that day and forward.(KJV-1611) Eze 39:22 Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:23 ============ Eze 39:23 And the heathen shall know that the house of Israel went into captivity for their iniquity: because they trespassed against me, therefore hid I my face from them, and gave them into the hand of their enemies: so fell they all by the sword.(KJV-1611) Eze 39:23 Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t' kenbe pawòl yo te gen avè m' lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:24 ============ Eze 39:24 According to their uncleanness and according to their transgressions have I done unto them, and hid my face from them.(KJV-1611) Eze 39:24 Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:25 ============ Eze 39:25 Therefore thus saith the Lord GOD; Now will I bring again the captivity of Jacob, and have mercy upon the whole house of Israel, and will be jealous for my holy name;(KJV-1611) Eze 39:25 Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M'ap mete yo kanpe ankò. M'ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:26 ============ Eze 39:26 After that they have borne their shame, and all their trespasses whereby they have trespassed against me, when they dwelt safely in their land, and none made them afraid.(KJV-1611) Eze 39:26 Lè y'a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y'a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t' kenbe pawòl yo avè m' pou y' al fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:27 ============ Eze 39:27 When I have brought them again from the people, and gathered them out of their enemies' lands, and am sanctified in them in the sight of many nations;(KJV-1611) Eze 39:27 M'ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M'ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m'a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:28 ============ Eze 39:28 Then shall they know that I am the LORD their God, which caused them to be led into captivity among the heathen: but I have gathered them unto their own land, and have left none of them any more there.(KJV-1611) Eze 39:28 Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m'ap ranmase yo, m'ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 39:29 ============ Eze 39:29 Neither will I hide my face any more from them: for I have poured out my spirit upon the house of Israel, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 39:29 Mwen p'ap janm vire do ba yo ankò paske m'ap voye lespri m' sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:1 ============ Eze 40:1 In the five and twentieth year of our captivity, in the beginning of the year, in the tenth day of the month, in the fourteenth year after that the city was smitten, in the selfsame day the hand of the LORD was upon me, and brought me thither.(KJV-1611) Eze 40:1 Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen. Li pran m', li mennen m' ale.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:2 ============ Eze 40:2 In the visions of God brought he me into the land of Israel, and set me upon a very high mountain, by which was as the frame of a city on the south.(KJV-1611) Eze 40:2 Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m' nan peyi Izrayèl la. Li mete m' kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m' sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:3 ============ Eze 40:3 And he brought me thither, and, behold, there was a man, whose appearance was like the appearance of brass, with a line of flax in his hand, and a measuring reed; and he stood in the gate.(KJV-1611) Eze 40:3 Li fè m' pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l' yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:4 ============ Eze 40:4 And the man said unto me, Son of man, behold with thine eyes, and hear with thine ears, and set thine heart upon all that I shall shew thee; for to the intent that I might shew them unto thee art thou brought hither: declare all that thou seest to the house of Israel.(KJV-1611) Eze 40:4 Nonm lan di m' konsa: -Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:5 ============ Eze 40:5 And behold a wall on the outside of the house round about, and in the man's hand a measuring reed of six cubits long by the cubit and an hand breadth: so he measured the breadth of the building, one reed; and the height, one reed.(KJV-1611) Eze 40:5 Sa m' te wè a se te tanp lan. Te gen yon gwo miray ki te fè wonn li nèt. Nonm lan te gen nan men l' yon règ pou mezire ki te gen dis pye longè. Li mezire miray la. Miray la te gen dis pye wotè, dis pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:6 ============ Eze 40:6 Then came he unto the gate which looketh toward the east, and went up the stairs thereof, and measured the threshold of the gate, which was one reed broad; and the other threshold of the gate, which was one reed broad.(KJV-1611) Eze 40:6 Apre sa, li ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:7 ============ Eze 40:7 And every little chamber was one reed long, and one reed broad; and between the little chambers were five cubits; and the threshold of the gate by the porch of the gate within was one reed.(KJV-1611) Eze 40:7 Apre pòtay la, te gen yon gwo koridò avèk sis chanm pou gad yo, twa chak bò. Chak chanm yo te kare kare, dis pye lajè, dis pye longè. Miray ki te separe chanm yo te gen wit pye lajè. Apre chanm yo, koridò a lonje sou dis pye ankò, li te mennen nan yon gwo pyès ki te bay sou Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:8 ============ Eze 40:8 He measured also the porch of the gate within, one reed.(KJV-1611) Eze 40:8 Li mezire gwo pyès chanm sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:9 ============ Eze 40:9 Then measured he the porch of the gate, eight cubits; and the posts thereof, two cubits; and the porch of the gate was inward.(KJV-1611) Eze 40:9 Li jwenn li te gen katòz pye longè. Chanm sa a te nan bout koridò a ki te pi pre Tanp lan. Miray la te gen kat pye lajè nan bout sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:10 ============ Eze 40:10 And the little chambers of the gate eastward were three on this side, and three on that side; they three were of one measure: and the posts had one measure on this side and on that side.(KJV-1611) Eze 40:10 Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:11 ============ Eze 40:11 And he measured the breadth of the entry of the gate, ten cubits; and the length of the gate, thirteen cubits.(KJV-1611) Eze 40:11 Apre sa, nonm lan mezire longè koridò a anba pòtay la. Li jwenn sèz pye. Li mezire lajè koridò a, li jwenn vennde pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:12 ============ Eze 40:12 The space also before the little chambers was one cubit on this side, and the space was one cubit on that side: and the little chambers were six cubits on this side, and six cubits on that side.(KJV-1611) Eze 40:12 Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen vin pous wotè, vin pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:13 ============ Eze 40:13 He measured then the gate from the roof of one little chamber to the roof of another: the breadth was five and twenty cubits, door against door.(KJV-1611) Eze 40:13 Lèfini, li mezire distans ant miray dèyè yon chanm ale nan miray dèyè chanm ki anfas li lòt bò koridò a, li jwenn karannde pye. Pòt chanm yo te bay fas pou fas.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:14 ============ Eze 40:14 He made also posts of threescore cubits, even unto the post of the court round about the gate.(KJV-1611) Eze 40:14 Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:15 ============ Eze 40:15 And from the face of the gate of the entrance unto the face of the porch of the inner gate were fifty cubits.(KJV-1611) Eze 40:15 Li mezire longè koridò a, depi miray pòtay la sou deyò rive nan bout dènye gwo chanm lan, li jwenn katrevenkat pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:16 ============ Eze 40:16 And there were narrow windows to the little chambers, and to their posts within the gate round about, and likewise to the arches: and windows were round about inward: and upon each post were palm trees.(KJV-1611) Eze 40:16 Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:17 ============ Eze 40:17 Then brought he me into the outward court, and, lo, there were chambers, and a pavement made for the court round about: thirty chambers were upon the pavement.(KJV-1611) Eze 40:17 Nonm lan fè m' pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:18 ============ Eze 40:18 And the pavement by the side of the gates over against the length of the gates was the lower pavement.(KJV-1611) Eze 40:18 Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:19 ============ Eze 40:19 Then he measured the breadth from the forefront of the lower gate unto the forefront of the inner court without, an hundred cubits eastward and northward.(KJV-1611) Eze 40:19 Te gen yon pòtay yon ti jan pi wo ki bay sou lakou anndan an. Nonm lan mezire depi sou pòtay deyò a rive nan pòtay anndan an. Li jwenn sanswasantwit pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:20 ============ Eze 40:20 And the gate of the outward court that looked toward the north, he measured the length thereof, and the breadth thereof.(KJV-1611) Eze 40:20 Lèfini, nonm lan al mezire pòtay kote ou pase antre nan gwo lakou a lè ou soti sou bò nò. Li pran longè l' ak lajè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:21 ============ Eze 40:21 And the little chambers thereof were three on this side and three on that side; and the posts thereof and the arches thereof were after the measure of the first gate: the length thereof was fifty cubits, and the breadth five and twenty cubits.(KJV-1611) Eze 40:21 Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:22 ============ Eze 40:22 And their windows, and their arches, and their palm trees, were after the measure of the gate that looketh toward the east; and they went up unto it by seven steps; and the arches thereof were before them.(KJV-1611) Eze 40:22 Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:23 ============ Eze 40:23 And the gate of the inner court was over against the gate toward the north, and toward the east; and he measured from gate to gate an hundred cubits.(KJV-1611) Eze 40:23 Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:24 ============ Eze 40:24 After that he brought me toward the south, and behold a gate toward the south: and he measured the posts thereof and the arches thereof according to these measures.(KJV-1611) Eze 40:24 Apre sa, nonm lan mennen m' sou bò sid la. La tou, mwen wè yon lòt pòtay pou antre nan gwo lakou a. Li mezire l', li te tankou lòt pòtay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:25 ============ Eze 40:25 And there were windows in it and in the arches thereof round about, like those windows: the length was fifty cubits, and the breadth five and twenty cubits.(KJV-1611) Eze 40:25 Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasaj la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:26 ============ Eze 40:26 And there were seven steps to go up to it, and the arches thereof were before them: and it had palm trees, one on this side, and another on that side, upon the posts thereof.(KJV-1611) Eze 40:26 Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:27 ============ Eze 40:27 And there was a gate in the inner court toward the south: and he measured from gate to gate toward the south an hundred cubits.(KJV-1611) Eze 40:27 Sou bò sid la tou, te gen yon lòt pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:28 ============ Eze 40:28 And he brought me to the inner court by the south gate: and he measured the south gate according to these measures;(KJV-1611) Eze 40:28 Nonm lan fè m' pase nan pòtay sid la pou m' antre nan ti lakou anndan an. Li mezire koridò a, li te menm fòs ak koridò gwo miray deyò yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:29 ============ Eze 40:29 And the little chambers thereof, and the posts thereof, and the arches thereof, according to these measures: and there were windows in it and in the arches thereof round about: it was fifty cubits long, and five and twenty cubits broad.(KJV-1611) Eze 40:29 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:30 ============ Eze 40:30 And the arches round about were five and twenty cubits long, and five cubits broad.(KJV-1611) Eze 40:30 Chanm gad yo, gwo chanm lan, ak miray li yo te tankou pou lòt koridò yo. Te gen fennèt nan chanm ki bay sou koridò yo tou. Longè koridò a te katrevenkat pye, lajè l' te karannde pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:31 ============ Eze 40:31 And the arches thereof were toward the utter court; and palm trees were upon the posts thereof: and the going up to it had eight steps.(KJV-1611) Eze 40:31 Men, gwo chanm lan te nan bout ki bay sou gwo lakou a. Pòtre pye palmis yo te sou tout fasad miray la sou anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:32 ============ Eze 40:32 And he brought me into the inner court toward the east: and he measured the gate according to these measures.(KJV-1611) Eze 40:32 Apre sa, nonm lan fè m' pase nan pòtay bò solèy leve a pou antre nan ti lakou anndan an. Li mezire pòtay la, li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:33 ============ Eze 40:33 And the little chambers thereof, and the posts thereof, and the arches thereof, were according to these measures: and there were windows therein and in the arches thereof round about: it was fifty cubits long, and five and twenty cubits broad.(KJV-1611) Eze 40:33 Chanm gad yo, gwo chanm lan, miray anndan li yo, yo tout te tankou pou lòt pòtay yo. Te gen fennèt toutotou koridò a ak nan gwo chanm lan tou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:34 ============ Eze 40:34 And the arches thereof were toward the outward court; and palm trees were upon the posts thereof, on this side, and on that side: and the going up to it had eight steps.(KJV-1611) Eze 40:34 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray la anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:35 ============ Eze 40:35 And he brought me to the north gate, and measured it according to these measures;(KJV-1611) Eze 40:35 Lèfini, nonm lan mennen m' bò pòtay nò a. Li mezire l', li jwenn li te menm fòs ak lòt pòtay yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:36 ============ Eze 40:36 The little chambers thereof, the posts thereof, and the arches thereof, and the windows to it round about: the length was fifty cubits, and the breadth five and twenty cubits.(KJV-1611) Eze 40:36 Tankou tout lòt yo, li te gen chanm pou gad yo, miray ak pòtre, yon gwo chanm ak fennèt toupatou. Li te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:37 ============ Eze 40:37 And the posts thereof were toward the utter court; and palm trees were upon the posts thereof, on this side, and on that side: and the going up to it had eight steps.(KJV-1611) Eze 40:37 Gwo chanm lan te bay sou gwo lakou deyò a. Pòtre pye palmis te sou tout miray anndan koridò a. Te gen wit macheskalye ki moute devan pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:38 ============ Eze 40:38 And the chambers and the entries thereof were by the posts of the gates, where they washed the burnt offering.(KJV-1611) Eze 40:38 Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y' al boule yo nèt sou lotèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:39 ============ Eze 40:39 And in the porch of the gate were two tables on this side, and two tables on that side, to slay thereon the burnt offering and the sin offering and the trespass offering.(KJV-1611) Eze 40:39 Nan gwo chanm sa a, te gen kat tab, de sou chak bò pyès la. Se sou tab sa yo yo te touye bèt yo te ofri pou touye pou Bondye, kit pou yo boule l' nèt, kit pou wete peche yon moun fè, kit pou peye pou sa yon moun fè ki mal.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:40 ============ Eze 40:40 And at the side without, as one goeth up to the entry of the north gate, were two tables; and on the other side, which was at the porch of the gate, were two tables.(KJV-1611) Eze 40:40 Sou deyò pyès la tou te gen lòt tab, de chak bò pòtay Nò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:41 ============ Eze 40:41 Four tables were on this side, and four tables on that side, by the side of the gate; eight tables, whereupon they slew their sacrifices.(KJV-1611) Eze 40:41 Antou sa te fè wit tab kote pou yo touye bèt yo ofri bay Bondye, kat anndan gwo chanm lan, kat nan gwo lakou deyò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:42 ============ Eze 40:42 And the four tables were of hewn stone for the burnt offering, of a cubit and an half long, and a cubit and an half broad, and one cubit high: whereupon also they laid the instruments wherewith they slew the burnt offering and the sacrifice.(KJV-1611) Eze 40:42 Kat tab ki nan chanm sou kote pòtay la, kote yo pare bèt yo ofri pou boule nèt yo, te fèt an gwo moso wòch taye. Yo te gen vin pous wotè. Anwo tab yo te kare kare, trant pous chak bò. Tout zouti ki sèvi pou touye bèt yo ofri bay Bondye kit pou boule nèt, kit pou lòt sèvis, se sou tab sa yo yo te mete yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:43 ============ Eze 40:43 And within were hooks, an hand broad, fastened round about: and upon the tables was the flesh of the offering.(KJV-1611) Eze 40:43 Yo fouye yon ti kannal twa pous lajè kouri sou rebò anwo tab yo. Se anwo tab sa yo yo mete vyann pou yo ofri nan sèvis yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:44 ============ Eze 40:44 And without the inner gate were the chambers of the singers in the inner court, which was at the side of the north gate; and their prospect was toward the south: one at the side of the east gate having the prospect toward the north.(KJV-1611) Eze 40:44 Apre sa, li mennen m' antre nan ti lakou anndan an. Te gen de lòt chanm ki bay sou ti lakou anndan an, yonn bò pòtay nò a ak pòt li louvri sou sid, lòt la bò pòtay sid la ak pòt li louvri sou nò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:45 ============ Eze 40:45 And he said unto me, This chamber, whose prospect is toward the south, is for the priests, the keepers of the charge of the house.(KJV-1611) Eze 40:45 Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:46 ============ Eze 40:46 And the chamber whose prospect is toward the north is for the priests, the keepers of the charge of the altar: these are the sons of Zadok among the sons of Levi, which come near to the LORD to minister unto him.(KJV-1611) Eze 40:46 Lòt chanm ki gen pòt li louvri sou nò a, se pou prèt k'ap sèvi sou lotèl la. Tout prèt yo se moun menm fanmi Zadòk la. Nan tout branch fanmi Levi a, se yo menm ase ki te gen dwa antre devan Seyè a pou sèvi l' nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:47 ============ Eze 40:47 So he measured the court, an hundred cubits long, and an hundred cubits broad, foursquare; and the altar that was before the house.(KJV-1611) Eze 40:47 Nonm lan mezire ti lakou anndan an. Li te kare kare. Chak bò te mezire sanswasantwit pye. Kay la menm te moute sou bò solèy kouche a ak lotèl la devan li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:48 ============ Eze 40:48 And he brought me to the porch of the house, and measured each post of the porch, five cubits on this side, and five cubits on that side: and the breadth of the gate was three cubits on this side, and three cubits on that side.(KJV-1611) Eze 40:48 Li fè m' antre nan premye pyès Tanp lan. Li mezire papòt chanm devan an, li jwenn li te gen nèf pye pwofondè ak vennkat pye lajè. Miray bò pòtay la te gen senk pye epesè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 40:49 ============ Eze 40:49 The length of the porch was twenty cubits, and the breadth eleven cubits, and he brought me by the steps whereby they went up to it: and there were pillars by the posts, one on this side, and another on that side.(KJV-1611) Eze 40:49 Te gen dis macheskalye pou moute devan pòt premye pyès Tanp lan. Pyès la te mezire vin pye lajè ak trannkat pye fondè. Te gen de gwo poto won, yonn chak bò pòt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:1 ============ Eze 41:1 Afterward he brought me to the temple, and measured the posts, six cubits broad on the one side, and six cubits broad on the other side, which was the breadth of the tabernacle.(KJV-1611) Eze 41:1 Apre sa, nonm lan fè m' antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l' lan. Li jwenn li te gen dis pye longè,(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:2 ============ Eze 41:2 And the breadth of the door was ten cubits; and the sides of the door were five cubits on the one side, and five cubits on the other side: and he measured the length thereof, forty cubits: and the breadth, twenty cubits.(KJV-1611) Eze 41:2 dizwit pye lajè. Miray ki chak bò yo te gen wit pye epesè. Li mezire chanm lan anndan anndan, li jwenn swasantwit pye longè ak trannkat pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:3 ============ Eze 41:3 Then went he inward, and measured the post of the door, two cubits; and the door, six cubits; and the breadth of the door, seven cubits.(KJV-1611) Eze 41:3 Apre sa, li antre nan dènye pyès dèyè nèt la, li mezire papòt ki bay sou li a. Li te gen twa pye pwofondè, dis pye lajè. Miray chak bò yo te gen douz pye epesè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:4 ============ Eze 41:4 So he measured the length thereof, twenty cubits; and the breadth, twenty cubits, before the temple: and he said unto me, This is the most holy place.(KJV-1611) Eze 41:4 Li mezire chanm lan. Li te kare kare, trannkat pye chak bò. Chanm sa a te dèyè chanm mitan an. Apre sa, li di m': Isit la se kote yo met apa nèt pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:5 ============ Eze 41:5 After he measured the wall of the house, six cubits; and the breadth of every side chamber, four cubits, round about the house on every side.(KJV-1611) Eze 41:5 Nonm lan mezire epesè miray anndan tanp lan, li jwenn dis pye. Sou kote Tanp lan, nan mitan miray anndan an ak miray deyò a, te gen yon seri ti pyès ki te fè wonn li. Chak pyès te kare kare, sèt pye chak bò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:6 ============ Eze 41:6 And the side chambers were three, one over another, and thirty in order; and they entered into the wall which was of the house for the side chambers round about, that they might have hold, but they had not hold in the wall of the house.(KJV-1611) Eze 41:6 Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:7 ============ Eze 41:7 And there was an enlarging, and a winding about still upward to the side chambers: for the winding about of the house went still upward round about the house: therefore the breadth of the house was still upward, and so increased from the lowest chamber to the highest by the midst.(KJV-1611) Eze 41:7 Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou soti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:8 ============ Eze 41:8 I saw also the height of the house round about: the foundations of the side chambers were a full reed of six great cubits.(KJV-1611) Eze 41:8 Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:9 ============ Eze 41:9 The thickness of the wall, which was for the side chamber without, was five cubits: and that which was left was the place of the side chambers that were within.(KJV-1611) Eze 41:9 Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras la(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:10 ============ Eze 41:10 And between the chambers was the wideness of twenty cubits round about the house on every side.(KJV-1611) Eze 41:10 ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:11 ============ Eze 41:11 And the doors of the side chambers were toward the place that was left, one door toward the north, and another door toward the south: and the breadth of the place that was left was five cubits round about.(KJV-1611) Eze 41:11 Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:12 ============ Eze 41:12 Now the building that was before the separate place at the end toward the west was seventy cubits broad; and the wall of the building was five cubits thick round about, and the length thereof ninety cubits.(KJV-1611) Eze 41:12 Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:13 ============ Eze 41:13 So he measured the house, an hundred cubits long; and the separate place, and the building, with the walls thereof, an hundred cubits long;(KJV-1611) Eze 41:13 Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasantwit pye longè. Soti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:14 ============ Eze 41:14 Also the breadth of the face of the house, and of the separate place toward the east, an hundred cubits.(KJV-1611) Eze 41:14 Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasantwit pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:15 ============ Eze 41:15 And he measured the length of the building over against the separate place which was behind it, and the galleries thereof on the one side and on the other side, an hundred cubits, with the inner temple, and the porches of the court;(KJV-1611) Eze 41:15 Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasantwit pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:16 ============ Eze 41:16 The door posts, and the narrow windows, and the galleries round about on their three stories, over against the door, cieled with wood round about, and from the ground up to the windows, and the windows were covered;(KJV-1611) Eze 41:16 Premye pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:17 ============ Eze 41:17 To that above the door, even unto the inner house, and without, and by all the wall round about within and without, by measure.(KJV-1611) Eze 41:17 Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch yo(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:18 ============ Eze 41:18 And it was made with cherubims and palm trees, so that a palm tree was between a cherub and a cherub; and every cherub had two faces;(KJV-1611) Eze 41:18 pou fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi,(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:19 ============ Eze 41:19 So that the face of a man was toward the palm tree on the one side, and the face of a young lion toward the palm tree on the other side: it was made through all the house round about.(KJV-1611) Eze 41:19 yon figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:20 ============ Eze 41:20 From the ground unto above the door were cherubims and palm trees made, and on the wall of the temple.(KJV-1611) Eze 41:20 Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:21 ============ Eze 41:21 The posts of the temple were squared, and the face of the sanctuary; the appearance of the one as the appearance of the other.(KJV-1611) Eze 41:21 Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare. Devan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanble(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:22 ============ Eze 41:22 The altar of wood was three cubits high, and the length thereof two cubits; and the corners thereof, and the length thereof, and the walls thereof, were of wood: and he said unto me, This is the table that is before the LORD.(KJV-1611) Eze 41:22 yon lotèl an bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye lotèl la ki te nan kat kwen yo, pyès anba a ak kat sou kote yo, tout te fèt an bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:23 ============ Eze 41:23 And the temple and the sanctuary had two doors.(KJV-1611) Eze 41:23 Te gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:24 ============ Eze 41:24 And the doors had two leaves apiece, two turning leaves; two leaves for the one door, and two leaves for the other door.(KJV-1611) Eze 41:24 Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:25 ============ Eze 41:25 And there were made on them, on the doors of the temple, cherubims and palm trees, like as were made upon the walls; and there were thick planks upon the face of the porch without.(KJV-1611) Eze 41:25 Yo te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki soti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 41:26 ============ Eze 41:26 And there were narrow windows and palm trees on the one side and on the other side, on the sides of the porch, and upon the side chambers of the house, and thick planks.(KJV-1611) Eze 41:26 Sou miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:1 ============ Eze 42:1 Then he brought me forth into the utter court, the way toward the north: and he brought me into the chamber that was over against the separate place, and which was before the building toward the north.(KJV-1611) Eze 42:1 Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:2 ============ Eze 42:2 Before the length of an hundred cubits was the north door, and the breadth was fifty cubits.(KJV-1611) Eze 42:2 Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:3 ============ Eze 42:3 Over against the twenty cubits which were for the inner court, and over against the pavement which was for the utter court, was gallery against gallery in three stories.(KJV-1611) Eze 42:3 Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l' la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:4 ============ Eze 42:4 And before the chambers was a walk to ten cubits breadth inward, a way of one cubit; and their doors toward the north.(KJV-1611) Eze 42:4 Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:5 ============ Eze 42:5 Now the upper chambers were shorter: for the galleries were higher than these, than the lower, and than the middlemost of the building.(KJV-1611) Eze 42:5 Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:6 ============ Eze 42:6 For they were in three stories, but had not pillars as the pillars of the courts: therefore the building was straitened more than the lowest and the middlemost from the ground.(KJV-1611) Eze 42:6 Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t' gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:7 ============ Eze 42:7 And the wall that was without over against the chambers, toward the utter court on the forepart of the chambers, the length thereof was fifty cubits.(KJV-1611) Eze 42:7 Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:8 ============ Eze 42:8 For the length of the chambers that were in the utter court was fifty cubits: and, lo, before the temple were an hundred cubits.(KJV-1611) Eze 42:8 Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:9 ============ Eze 42:9 And from under these chambers was the entry on the east side, as one goeth into them from the utter court.(KJV-1611) Eze 42:9 Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:10 ============ Eze 42:10 The chambers were in the thickness of the wall of the court toward the east, over against the separate place, and over against the building.(KJV-1611) Eze 42:10 Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:11 ============ Eze 42:11 And the way before them was like the appearance of the chambers which were toward the north, as long as they, and as broad as they: and all their goings out were both according to their fashions, and according to their doors.(KJV-1611) Eze 42:11 Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l', menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:12 ============ Eze 42:12 And according to the doors of the chambers that were toward the south was a door in the head of the way, even the way directly before the wall toward the east, as one entereth into them.(KJV-1611) Eze 42:12 Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:13 ============ Eze 42:13 Then said he unto me, The north chambers and the south chambers, which are before the separate place, they be holy chambers, where the priests that approach unto the LORD shall eat the most holy things: there shall they lay the most holy things, and the meat offering, and the sin offering, and the trespass offering; for the place is holy.(KJV-1611) Eze 42:13 Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:14 ============ Eze 42:14 When the priests enter therein, then shall they not go out of the holy place into the utter court, but there they shall lay their garments wherein they minister; for they are holy; and shall put on other garments, and shall approach to those things which are for the people.(KJV-1611) Eze 42:14 Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:15 ============ Eze 42:15 Now when he had made an end of measuring the inner house, he brought me forth toward the gate whose prospect is toward the east, and measured it round about.(KJV-1611) Eze 42:15 Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m' nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:16 ============ Eze 42:16 He measured the east side with the measuring reed, five hundred reeds, with the measuring reed round about.(KJV-1611) Eze 42:16 Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:17 ============ Eze 42:17 He measured the north side, five hundred reeds, with the measuring reed round about.(KJV-1611) Eze 42:17 Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:18 ============ Eze 42:18 He measured the south side, five hundred reeds, with the measuring reed.(KJV-1611) Eze 42:18 Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:19 ============ Eze 42:19 He turned about to the west side, and measured five hundred reeds with the measuring reed.(KJV-1611) Eze 42:19 Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant pye tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 42:20 ============ Eze 42:20 He measured it by the four sides: it had a wall round about, five hundred reeds long, and five hundred broad, to make a separation between the sanctuary and the profane place.(KJV-1611) Eze 42:20 Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t' mete apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:1 ============ Eze 43:1 Afterward he brought me to the gate, even the gate that looketh toward the east:(KJV-1611) Eze 43:1 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:2 ============ Eze 43:2 And, behold, the glory of the God of Israel came from the way of the east: and his voice was like a noise of many waters: and the earth shined with his glory.(KJV-1611) Eze 43:2 Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:3 ============ Eze 43:3 And it was according to the appearance of the vision which I saw, even according to the vision that I saw when I came to destroy the city: and the visions were like the vision that I saw by the river Chebar; and I fell upon my face.(KJV-1611) Eze 43:3 Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:4 ============ Eze 43:4 And the glory of the LORD came into the house by the way of the gate whose prospect is toward the east.(KJV-1611) Eze 43:4 Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:5 ============ Eze 43:5 So the spirit took me up, and brought me into the inner court; and, behold, the glory of the LORD filled the house.(KJV-1611) Eze 43:5 Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:6 ============ Eze 43:6 And I heard him speaking unto me out of the house; and the man stood by me.(KJV-1611) Eze 43:6 Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:7 ============ Eze 43:7 And he said unto me, Son of man, the place of my throne, and the place of the soles of my feet, where I will dwell in the midst of the children of Israel for ever, and my holy name, shall the house of Israel no more defile, neither they, nor their kings, by their whoredom, nor by the carcases of their kings in their high places.(KJV-1611) Eze 43:7 -Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:8 ============ Eze 43:8 In their setting of their threshold by my thresholds, and their post by my posts, and the wall between me and them, they have even defiled my holy name by their abominations that they have committed: wherefore I have consumed them in mine anger.(KJV-1611) Eze 43:8 Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:9 ============ Eze 43:9 Now let them put away their whoredom, and the carcases of their kings, far from me, and I will dwell in the midst of them for ever.(KJV-1611) Eze 43:9 Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:10 ============ Eze 43:10 Thou son of man, shew the house to the house of Israel, that they may be ashamed of their iniquities: and let them measure the pattern.(KJV-1611) Eze 43:10 Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:11 ============ Eze 43:11 And if they be ashamed of all that they have done, shew them the form of the house, and the fashion thereof, and the goings out thereof, and the comings in thereof, and all the forms thereof, and all the ordinances thereof, and all the forms thereof, and all the laws thereof: and write it in their sight, that they may keep the whole form thereof, and all the ordinances thereof, and do them.(KJV-1611) Eze 43:11 Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan:(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:12 ============ Eze 43:12 This is the law of the house; Upon the top of the mountain the whole limit thereof round about shall be most holy. Behold, this is the law of the house.(KJV-1611) Eze 43:12 Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:13 ============ Eze 43:13 And these are the measures of the altar after the cubits: The cubit is a cubit and an hand breadth; even the bottom shall be a cubit, and the breadth a cubit, and the border thereof by the edge thereof round about shall be a span: and this shall be the higher place of the altar.(KJV-1611) Eze 43:13 Men dimansyon lotèl la, dapre sistèm mezi nou sèvi pou mezire Tanp lan. Nan pye lotèl la, yon kannal vin pous pwofondè, vin pous lajè, ak yon rebò sou deyò dis pous wotè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:14 ============ Eze 43:14 And from the bottom upon the ground even to the lower settle shall be two cubits, and the breadth one cubit; and from the lesser settle even to the greater settle shall be four cubits, and the breadth one cubit.(KJV-1611) Eze 43:14 Lotèl la ap fèt an twa pòsyon. Premye pòsyon an chita sou pye a. L'a gen kat pye wotè. Dezyèm pòsyon an va pi gwo, l'a gen sèt pye wotè sou premye pòsyon an, men longè l' ak lajè l' ap yon ti jan pi piti pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt premye pòsyon an. Konsa tou, longè ak lajè dènye pòsyon an va yon ti jan pi piti pase dezyèm lan pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt dezyèm pòsyon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:15 ============ Eze 43:15 So the altar shall be four cubits; and from the altar and upward shall be four horns.(KJV-1611) Eze 43:15 Dènye pòsyon sa a va gen sèt pye wotè tou. Se sou li pou yo boule ofrann yo. Nan kat kwen yo te gen kat kòn, vin pous wotè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:16 ============ Eze 43:16 And the altar shall be twelve cubits long, twelve broad, square in the four squares thereof.(KJV-1611) Eze 43:16 Anwo lotèl la te kare kare, vin pye chak bò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:17 ============ Eze 43:17 And the settle shall be fourteen cubits long and fourteen broad in the four squares thereof; and the border about it shall be half a cubit; and the bottom thereof shall be a cubit about; and his stairs shall look toward the east.(KJV-1611) Eze 43:17 Pòsyon ki nan mitan an te kare kare tou, vennkat pye chak bò, ak yon ti rebò sou deyò, dis pous wotè. Ti kannal la te vin pous lajè. Macheskalye pou moute devan lotèl la te sou bò solèy leve.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:18 ============ Eze 43:18 And he said unto me, Son of man, thus saith the Lord GOD; These are the ordinances of the altar in the day when they shall make it, to offer burnt offerings thereon, and to sprinkle blood thereon.(KJV-1611) Eze 43:18 Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:19 ============ Eze 43:19 And thou shalt give to the priests the Levites that be of the seed of Zadok, which approach unto me, to minister unto me, saith the Lord GOD, a young bullock for a sin offering.(KJV-1611) Eze 43:19 Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:20 ============ Eze 43:20 And thou shalt take of the blood thereof, and put it on the four horns of it, and on the four corners of the settle, and upon the border round about: thus shalt thou cleanse and purge it.(KJV-1611) Eze 43:20 N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:21 ============ Eze 43:21 Thou shalt take the bullock also of the sin offering, and he shall burn it in the appointed place of the house, without the sanctuary.(KJV-1611) Eze 43:21 N'a pran towo bèf yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche a, n'a boule l' yon lòt kote byen lwen andeyò lakou Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:22 ============ Eze 43:22 And on the second day thou shalt offer a kid of the goats without blemish for a sin offering; and they shall cleanse the altar, as they did cleanse it with the bullock.(KJV-1611) Eze 43:22 Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:23 ============ Eze 43:23 When thou hast made an end of cleansing it, thou shalt offer a young bullock without blemish, and a ram out of the flock without blemish.(KJV-1611) Eze 43:23 Lè n'a fin fè sa, n'a pran nan bann bèt nou yo yon jenn towo ak yon jenn belye mouton, tou de san ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:24 ============ Eze 43:24 And thou shalt offer them before the LORD, and the priests shall cast salt upon them, and they shall offer them up for a burnt offering unto the LORD.(KJV-1611) Eze 43:24 N'a mennen yo devan m'. Prèt yo va voye sèl sou yo. Lèfini, y'a boule yo nèt tankou yon ofrann pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:25 ============ Eze 43:25 Seven days shalt thou prepare every day a goat for a sin offering: they shall also prepare a young bullock, and a ram out of the flock, without blemish.(KJV-1611) Eze 43:25 Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:26 ============ Eze 43:26 Seven days shall they purge the altar and purify it; and they shall consecrate themselves.(KJV-1611) Eze 43:26 Pandan sèt jou, prèt yo va fè seremoni pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se konsa y'a pare l' pou li ka sèvi nan Tanp lan, y'a mete l' apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 43:27 ============ Eze 43:27 And when these days are expired, it shall be, that upon the eighth day, and so forward, the priests shall make your burnt offerings upon the altar, and your peace offerings; and I will accept you, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 43:27 Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:1 ============ Eze 44:1 Then he brought me back the way of the gate of the outward sanctuary which looketh toward the east; and it was shut.(KJV-1611) Eze 44:1 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou bò solèy leve a. Pòtay la te fèmen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:2 ============ Eze 44:2 Then said the LORD unto me; This gate shall be shut, it shall not be opened, and no man shall enter in by it; because the LORD, the God of Israel, hath entered in by it, therefore it shall be shut.(KJV-1611) Eze 44:2 Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:3 ============ Eze 44:3 It is for the prince; the prince, he shall sit in it to eat bread before the LORD; he shall enter by the way of the porch of that gate, and shall go out by the way of the same.(KJV-1611) Eze 44:3 Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:4 ============ Eze 44:4 Then brought he me the way of the north gate before the house: and I looked, and, behold, the glory of the LORD filled the house of the LORD: and I fell upon my face.(KJV-1611) Eze 44:4 Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:5 ============ Eze 44:5 And the LORD said unto me, Son of man, mark well, and behold with thine eyes, and hear with thine ears all that I say unto thee concerning all the ordinances of the house of the LORD, and all the laws thereof; and mark well the entering in of the house, with every going forth of the sanctuary.(KJV-1611) Eze 44:5 Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:6 ============ Eze 44:6 And thou shalt say to the rebellious, even to the house of Israel, Thus saith the Lord GOD; O ye house of Israel, let it suffice you of all your abominations,(KJV-1611) Eze 44:6 Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:7 ============ Eze 44:7 In that ye have brought into my sanctuary strangers, uncircumcised in heart, and uncircumcised in flesh, to be in my sanctuary, to pollute it, even my house, when ye offer my bread, the fat and the blood, and they have broken my covenant because of all your abominations.(KJV-1611) Eze 44:7 Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:8 ============ Eze 44:8 And ye have not kept the charge of mine holy things: but ye have set keepers of my charge in my sanctuary for yourselves.(KJV-1611) Eze 44:8 Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:9 ============ Eze 44:9 Thus saith the Lord GOD; No stranger, uncircumcised in heart, nor uncircumcised in flesh, shall enter into my sanctuary, of any stranger that is among the children of Israel.(KJV-1611) Eze 44:9 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen di: Ankenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:10 ============ Eze 44:10 And the Levites that are gone away far from me, when Israel went astray, which went astray away from me after their idols; they shall even bear their iniquity.(KJV-1611) Eze 44:10 Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:11 ============ Eze 44:11 Yet they shall be ministers in my sanctuary, having charge at the gates of the house, and ministering to the house: they shall slay the burnt offering and the sacrifice for the people, and they shall stand before them to minister unto them.(KJV-1611) Eze 44:11 Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:12 ============ Eze 44:12 Because they ministered unto them before their idols, and caused the house of Israel to fall into iniquity; therefore have I lifted up mine hand against them, saith the Lord GOD, and they shall bear their iniquity.(KJV-1611) Eze 44:12 Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:13 ============ Eze 44:13 And they shall not come near unto me, to do the office of a priest unto me, nor to come near to any of my holy things, in the most holy place: but they shall bear their shame, and their abominations which they have committed.(KJV-1611) Eze 44:13 Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:14 ============ Eze 44:14 But I will make them keepers of the charge of the house, for all the service thereof, and for all that shall be done therein.(KJV-1611) Eze 44:14 M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:15 ============ Eze 44:15 But the priests the Levites, the sons of Zadok, that kept the charge of my sanctuary when the children of Israel went astray from me, they shall come near to me to minister unto me, and they shall stand before me to offer unto me the fat and the blood, saith the Lord GOD:(KJV-1611) Eze 44:15 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:16 ============ Eze 44:16 They shall enter into my sanctuary, and they shall come near to my table, to minister unto me, and they shall keep my charge.(KJV-1611) Eze 44:16 Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:17 ============ Eze 44:17 And it shall come to pass, that when they enter in at the gates of the inner court, they shall be clothed with linen garments; and no wool shall come upon them, whiles they minister in the gates of the inner court, and within.(KJV-1611) Eze 44:17 Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:18 ============ Eze 44:18 They shall have linen bonnets upon their heads, and shall have linen breeches upon their loins; they shall not gird themselves with any thing that causeth sweat.(KJV-1611) Eze 44:18 Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fin blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fin blan san sentiwon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:19 ============ Eze 44:19 And when they go forth into the utter court, even into the utter court to the people, they shall put off their garments wherein they ministered, and lay them in the holy chambers, and they shall put on other garments; and they shall not sanctify the people with their garments.(KJV-1611) Eze 44:19 Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:20 ============ Eze 44:20 Neither shall they shave their heads, nor suffer their locks to grow long; they shall only poll their heads.(KJV-1611) Eze 44:20 Prèt yo pa gen dwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:21 ============ Eze 44:21 Neither shall any priest drink wine, when they enter into the inner court.(KJV-1611) Eze 44:21 Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:22 ============ Eze 44:22 Neither shall they take for their wives a widow, nor her that is put away: but they shall take maidens of the seed of the house of Israel, or a widow that had a priest before.(KJV-1611) Eze 44:22 Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:23 ============ Eze 44:23 And they shall teach my people the difference between the holy and profane, and cause them to discern between the unclean and the clean.(KJV-1611) Eze 44:23 Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:24 ============ Eze 44:24 And in controversy they shall stand in judgment; and they shall judge it according to my judgments: and they shall keep my laws and my statutes in all mine assemblies; and they shall hallow my sabbaths.(KJV-1611) Eze 44:24 Lè yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m' yo, yo pa gen dwa fè ankenn travay.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:25 ============ Eze 44:25 And they shall come at no dead person to defile themselves: but for father, or for mother, or for son, or for daughter, for brother, or for sister that hath had no husband, they may defile themselves.(KJV-1611) Eze 44:25 Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:26 ============ Eze 44:26 And after he is cleansed, they shall reckon unto him seven days.(KJV-1611) Eze 44:26 Apre l'a fin fè sèvis pou mete l' nan kondisyon ankò pou sèvi m', se pou l' tann sèt jou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:27 ============ Eze 44:27 And in the day that he goeth into the sanctuary, unto the inner court, to minister in the sanctuary, he shall offer his sin offering, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 44:27 Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:28 ============ Eze 44:28 And it shall be unto them for an inheritance: I am their inheritance: and ye shall give them no possession in Israel: I am their possession.(KJV-1611) Eze 44:28 Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:29 ============ Eze 44:29 They shall eat the meat offering, and the sin offering, and the trespass offering: and every dedicated thing in Israel shall be theirs.(KJV-1611) Eze 44:29 Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:30 ============ Eze 44:30 And the first of all the firstfruits of all things, and every oblation of all, of every sort of your oblations, shall be the priest's: ye shall also give unto the priest the first of your dough, that he may cause the blessing to rest in thine house.(KJV-1611) Eze 44:30 Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 44:31 ============ Eze 44:31 The priests shall not eat of any thing that is dead of itself, or torn, whether it be fowl or beast.(KJV-1611) Eze 44:31 Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:1 ============ Eze 45:1 Moreover, when ye shall divide by lot the land for inheritance, ye shall offer an oblation unto the LORD, an holy portion of the land: the length shall be the length of five and twenty thousand reeds, and the breadth shall be ten thousand. This shall be holy in all the borders thereof round about.(KJV-1611) Eze 45:1 Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:2 ============ Eze 45:2 Of this there shall be for the sanctuary five hundred in length, with five hundred in breadth, square round about; and fifty cubits round about for the suburbs thereof.(KJV-1611) Eze 45:2 Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:3 ============ Eze 45:3 And of this measure shalt thou measure the length of five and twenty thousand, and the breadth of ten thousand: and in it shall be the sanctuary and the most holy place.(KJV-1611) Eze 45:3 N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:4 ============ Eze 45:4 The holy portion of the land shall be for the priests the ministers of the sanctuary, which shall come near to minister unto the LORD: and it shall be a place for their houses, and an holy place for the sanctuary.(KJV-1611) Eze 45:4 Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:5 ============ Eze 45:5 And the five and twenty thousand of length, and the ten thousand of breadth shall also the Levites, the ministers of the house, have for themselves, for a possession for twenty chambers.(KJV-1611) Eze 45:5 Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:6 ============ Eze 45:6 And ye shall appoint the possession of the city five thousand broad, and five and twenty thousand long, over against the oblation of the holy portion: it shall be for the whole house of Israel.(KJV-1611) Eze 45:6 Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:7 ============ Eze 45:7 And a portion shall be for the prince on the one side and on the other side of the oblation of the holy portion, and of the possession of the city, before the oblation of the holy portion, and before the possession of the city, from the west side westward, and from the east side eastward: and the length shall be over against one of the portions, from the west border unto the east border.(KJV-1611) Eze 45:7 Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:8 ============ Eze 45:8 In the land shall be his possession in Israel: and my princes shall no more oppress my people; and the rest of the land shall they give to the house of Israel according to their tribes.(KJV-1611) Eze 45:8 Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:9 ============ Eze 45:9 Thus saith the Lord GOD; Let it suffice you, O princes of Israel: remove violence and spoil, and execute judgment and justice, take away your exactions from my people, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 45:9 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:10 ============ Eze 45:10 Ye shall have just balances, and a just ephah, and a just bath.(KJV-1611) Eze 45:10 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:11 ============ Eze 45:11 The ephah and the bath shall be of one measure, that the bath may contain the tenth part of an homer, and the ephah the tenth part of an homer: the measure thereof shall be after the homer.(KJV-1611) Eze 45:11 Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:12 ============ Eze 45:12 And the shekel shall be twenty gerahs: twenty shekels, five and twenty shekels, fifteen shekels, shall be your maneh.(KJV-1611) Eze 45:12 Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:13 ============ Eze 45:13 This is the oblation that ye shall offer; the sixth part of an ephah of an homer of wheat, and ye shall give the sixth part of an ephah of an homer of barley:(KJV-1611) Eze 45:13 Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:14 ============ Eze 45:14 Concerning the ordinance of oil, the bath of oil, ye shall offer the tenth part of a bath out of the cor, which is an homer of ten baths; for ten baths are an homer:(KJV-1611) Eze 45:14 Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:15 ============ Eze 45:15 And one lamb out of the flock, out of two hundred, out of the fat pastures of Israel; for a meat offering, and for a burnt offering, and for peace offerings, to make reconciliation for them, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 45:15 Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:16 ============ Eze 45:16 All the people of the land shall give this oblation for the prince in Israel.(KJV-1611) Eze 45:16 Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:17 ============ Eze 45:17 And it shall be the prince's part to give burnt offerings, and meat offerings, and drink offerings, in the feasts, and in the new moons, and in the sabbaths, in all solemnities of the house of Israel: he shall prepare the sin offering, and the meat offering, and the burnt offering, and the peace offerings, to make reconciliation for the house of Israel.(KJV-1611) Eze 45:17 Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:18 ============ Eze 45:18 Thus saith the Lord GOD; In the first month, in the first day of the month, thou shalt take a young bullock without blemish, and cleanse the sanctuary:(KJV-1611) Eze 45:18 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:19 ============ Eze 45:19 And the priest shall take of the blood of the sin offering, and put it upon the posts of the house, and upon the four corners of the settle of the altar, and upon the posts of the gate of the inner court.(KJV-1611) Eze 45:19 Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:20 ============ Eze 45:20 And so thou shalt do the seventh day of the month for every one that erreth, and for him that is simple: so shall ye reconcile the house.(KJV-1611) Eze 45:20 Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:21 ============ Eze 45:21 In the first month, in the fourteenth day of the month, ye shall have the passover, a feast of seven days; unleavened bread shall be eaten.(KJV-1611) Eze 45:21 Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:22 ============ Eze 45:22 And upon that day shall the prince prepare for himself and for all the people of the land a bullock for a sin offering.(KJV-1611) Eze 45:22 Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:23 ============ Eze 45:23 And seven days of the feast he shall prepare a burnt offering to the LORD, seven bullocks and seven rams without blemish daily the seven days; and a kid of the goats daily for a sin offering.(KJV-1611) Eze 45:23 Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:24 ============ Eze 45:24 And he shall prepare a meat offering of an ephah for a bullock, and an ephah for a ram, and an hin of oil for an ephah.(KJV-1611) Eze 45:24 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 45:25 ============ Eze 45:25 In the seventh month, in the fifteenth day of the month, shall he do the like in the feast of the seven days, according to the sin offering, according to the burnt offering, and according to the meat offering, and according to the oil.(KJV-1611) Eze 45:25 Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:1 ============ Eze 46:1 Thus saith the Lord GOD; The gate of the inner court that looketh toward the east shall be shut the six working days; but on the sabbath it shall be opened, and in the day of the new moon it shall be opened.(KJV-1611) Eze 46:1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:2 ============ Eze 46:2 And the prince shall enter by the way of the porch of that gate without, and shall stand by the post of the gate, and the priests shall prepare his burnt offering and his peace offerings, and he shall worship at the threshold of the gate: then he shall go forth; but the gate shall not be shut until the evening.(KJV-1611) Eze 46:2 Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:3 ============ Eze 46:3 Likewise the people of the land shall worship at the door of this gate before the LORD in the sabbaths and in the new moons.(KJV-1611) Eze 46:3 Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:4 ============ Eze 46:4 And the burnt offering that the prince shall offer unto the LORD in the sabbath day shall be six lambs without blemish, and a ram without blemish.(KJV-1611) Eze 46:4 Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:5 ============ Eze 46:5 And the meat offering shall be an ephah for a ram, and the meat offering for the lambs as he shall be able to give, and an hin of oil to an ephah.(KJV-1611) Eze 46:5 Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:6 ============ Eze 46:6 And in the day of the new moon it shall be a young bullock without blemish, and six lambs, and a ram: they shall be without blemish.(KJV-1611) Eze 46:6 Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:7 ============ Eze 46:7 And he shall prepare a meat offering, an ephah for a bullock, and an ephah for a ram, and for the lambs according as his hand shall attain unto, and an hin of oil to an ephah.(KJV-1611) Eze 46:7 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:8 ============ Eze 46:8 And when the prince shall enter, he shall go in by the way of the porch of that gate, and he shall go forth by the way thereof.(KJV-1611) Eze 46:8 Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:9 ============ Eze 46:9 But when the people of the land shall come before the LORD in the solemn feasts, he that entereth in by the way of the north gate to worship shall go out by the way of the south gate; and he that entereth by the way of the south gate shall go forth by the way of the north gate: he shall not return by the way of the gate whereby he came in, but shall go forth over against it.(KJV-1611) Eze 46:9 Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:10 ============ Eze 46:10 And the prince in the midst of them, when they go in, shall go in; and when they go forth, shall go forth.(KJV-1611) Eze 46:10 Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:11 ============ Eze 46:11 And in the feasts and in the solemnities the meat offering shall be an ephah to a bullock, and an ephah to a ram, and to the lambs as he is able to give, and an hin of oil to an ephah.(KJV-1611) Eze 46:11 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:12 ============ Eze 46:12 Now when the prince shall prepare a voluntary burnt offering or peace offerings voluntarily unto the LORD, one shall then open him the gate that looketh toward the east, and he shall prepare his burnt offering and his peace offerings, as he did on the sabbath day: then he shall go forth; and after his going forth one shall shut the gate.(KJV-1611) Eze 46:12 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:13 ============ Eze 46:13 Thou shalt daily prepare a burnt offering unto the LORD of a lamb of the first year without blemish: thou shalt prepare it every morning.(KJV-1611) Eze 46:13 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:14 ============ Eze 46:14 And thou shalt prepare a meat offering for it every morning, the sixth part of an ephah, and the third part of an hin of oil, to temper with the fine flour; a meat offering continually by a perpetual ordinance unto the LORD.(KJV-1611) Eze 46:14 Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:15 ============ Eze 46:15 Thus shall they prepare the lamb, and the meat offering, and the oil, every morning for a continual burnt offering.(KJV-1611) Eze 46:15 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:16 ============ Eze 46:16 Thus saith the Lord GOD; If the prince give a gift unto any of his sons, the inheritance thereof shall be his sons'; it shall be their possession by inheritance.(KJV-1611) Eze 46:16 Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:17 ============ Eze 46:17 But if he give a gift of his inheritance to one of his servants, then it shall be his to the year of liberty; after it shall return to the prince: but his inheritance shall be his sons' for them.(KJV-1611) Eze 46:17 Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:18 ============ Eze 46:18 Moreover the prince shall not take of the people's inheritance by oppression, to thrust them out of their possession; but he shall give his sons inheritance out of his own possession: that my people be not scattered every man from his possession.(KJV-1611) Eze 46:18 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:19 ============ Eze 46:19 After he brought me through the entry, which was at the side of the gate, into the holy chambers of the priests, which looked toward the north: and, behold, there was a place on the two sides westward.(KJV-1611) Eze 46:19 Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:20 ============ Eze 46:20 Then said he unto me, This is the place where the priests shall boil the trespass offering and the sin offering, where they shall bake the meat offering; that they bear them not out into the utter court, to sanctify the people.(KJV-1611) Eze 46:20 Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:21 ============ Eze 46:21 Then he brought me forth into the utter court, and caused me to pass by the four corners of the court; and, behold, in every corner of the court there was a court.(KJV-1611) Eze 46:21 Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:22 ============ Eze 46:22 In the four corners of the court there were courts joined of forty cubits long and thirty broad: these four corners were of one measure.(KJV-1611) Eze 46:22 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:23 ============ Eze 46:23 And there was a row of building round about in them, round about them four, and it was made with boiling places under the rows round about.(KJV-1611) Eze 46:23 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 46:24 ============ Eze 46:24 Then said he unto me, These are the places of them that boil, where the ministers of the house shall boil the sacrifice of the people.(KJV-1611) Eze 46:24 Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:1 ============ Eze 47:1 Afterward he brought me again unto the door of the house; and, behold, waters issued out from under the threshold of the house eastward: for the forefront of the house stood toward the east, and the waters came down from under from the right side of the house, at the south side of the altar.(KJV-1611) Eze 47:1 Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:2 ============ Eze 47:2 Then brought he me out of the way of the gate northward, and led me about the way without unto the utter gate by the way that looketh eastward; and, behold, there ran out waters on the right side.(KJV-1611) Eze 47:2 Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:3 ============ Eze 47:3 And when the man that had the line in his hand went forth eastward, he measured a thousand cubits, and he brought me through the waters; the waters were to the ankles.(KJV-1611) Eze 47:3 Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:4 ============ Eze 47:4 Again he measured a thousand, and brought me through the waters; the waters were to the knees. Again he measured a thousand, and brought me through; the waters were to the loins.(KJV-1611) Eze 47:4 Li mezire yon lòt senksan mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:5 ============ Eze 47:5 Afterward he measured a thousand; and it was a river that I could not pass over: for the waters were risen, waters to swim in, a river that could not be passed over.(KJV-1611) Eze 47:5 Li mezire yon lòt senksan mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:6 ============ Eze 47:6 And he said unto me, Son of man, hast thou seen this? Then he brought me, and caused me to return to the brink of the river.(KJV-1611) Eze 47:6 Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:7 ============ Eze 47:7 Now when I had returned, behold, at the bank of the river were very many trees on the one side and on the other.(KJV-1611) Eze 47:7 Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:8 ============ Eze 47:8 Then said he unto me, These waters issue out toward the east country, and go down into the desert, and go into the sea: which being brought forth into the sea, the waters shall be healed.(KJV-1611) Eze 47:8 Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:9 ============ Eze 47:9 And it shall come to pass, that every thing that liveth, which moveth, whithersoever the rivers shall come, shall live: and there shall be a very great multitude of fish, because these waters shall come thither: for they shall be healed; and every thing shall live whither the river cometh.(KJV-1611) Eze 47:9 Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:10 ============ Eze 47:10 And it shall come to pass, that the fishers shall stand upon it from Engedi even unto Eneglaim; they shall be a place to spread forth nets; their fish shall be according to their kinds, as the fish of the great sea, exceeding many.(KJV-1611) Eze 47:10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:11 ============ Eze 47:11 But the miry places thereof and the marishes thereof shall not be healed; they shall be given to salt.(KJV-1611) Eze 47:11 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:12 ============ Eze 47:12 And by the river upon the bank thereof, on this side and on that side, shall grow all trees for meat, whose leaf shall not fade, neither shall the fruit thereof be consumed: it shall bring forth new fruit according to his months, because their waters they issued out of the sanctuary: and the fruit thereof shall be for meat, and the leaf thereof for medicine.(KJV-1611) Eze 47:12 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:13 ============ Eze 47:13 Thus saith the Lord GOD; This shall be the border, whereby ye shall inherit the land according to the twelve tribes of Israel: Joseph shall have two portions.(KJV-1611) Eze 47:13 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:14 ============ Eze 47:14 And ye shall inherit it, one as well as another: concerning the which I lifted up mine hand to give it unto your fathers: and this land shall fall unto you for inheritance.(KJV-1611) Eze 47:14 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:15 ============ Eze 47:15 And this shall be the border of the land toward the north side, from the great sea, the way of Hethlon, as men go to Zedad;(KJV-1611) Eze 47:15 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:16 ============ Eze 47:16 Hamath, Berothah, Sibraim, which is between the border of Damascus and the border of Hamath; Hazarhatticon, which is by the coast of Hauran.(KJV-1611) Eze 47:16 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:17 ============ Eze 47:17 And the border from the sea shall be Hazarenan, the border of Damascus, and the north northward, and the border of Hamath. And this is the north side.(KJV-1611) Eze 47:17 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:18 ============ Eze 47:18 And the east side ye shall measure from Hauran, and from Damascus, and from Gilead, and from the land of Israel by Jordan, from the border unto the east sea. And this is the east side.(KJV-1611) Eze 47:18 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:19 ============ Eze 47:19 And the south side southward, from Tamar even to the waters of strife in Kadesh, the river to the great sea. And this is the south side southward.(KJV-1611) Eze 47:19 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:20 ============ Eze 47:20 The west side also shall be the great sea from the border, till a man come over against Hamath. This is the west side.(KJV-1611) Eze 47:20 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:21 ============ Eze 47:21 So shall ye divide this land unto you according to the tribes of Israel.(KJV-1611) Eze 47:21 N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:22 ============ Eze 47:22 And it shall come to pass, that ye shall divide it by lot for an inheritance unto you, and to the strangers that sojourn among you, which shall beget children among you: and they shall be unto you as born in the country among the children of Israel; they shall have inheritance with you among the tribes of Israel.(KJV-1611) Eze 47:22 N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 47:23 ============ Eze 47:23 And it shall come to pass, that in what tribe the stranger sojourneth, there shall ye give him his inheritance, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 47:23 Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:1 ============ Eze 48:1 Now these are the names of the tribes. From the north end to the coast of the way of Hethlon, as one goeth to Hamath, Hazarenan, the border of Damascus northward, to the coast of Hamath; for these are his sides east and west; a portion for Dan.(KJV-1611) Eze 48:1 Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:2 ============ Eze 48:2 And by the border of Dan, from the east side unto the west side, a portion for Asher.(KJV-1611) Eze 48:2 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:3 ============ Eze 48:3 And by the border of Asher, from the east side even unto the west side, a portion for Naphtali.(KJV-1611) Eze 48:3 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:4 ============ Eze 48:4 And by the border of Naphtali, from the east side unto the west side, a portion for Manasseh.(KJV-1611) Eze 48:4 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:5 ============ Eze 48:5 And by the border of Manasseh, from the east side unto the west side, a portion for Ephraim.(KJV-1611) Eze 48:5 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:6 ============ Eze 48:6 And by the border of Ephraim, from the east side even unto the west side, a portion for Reuben.(KJV-1611) Eze 48:6 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:7 ============ Eze 48:7 And by the border of Reuben, from the east side unto the west side, a portion for Judah.(KJV-1611) Eze 48:7 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:8 ============ Eze 48:8 And by the border of Judah, from the east side unto the west side, shall be the offering which ye shall offer of five and twenty thousand reeds in breadth, and in length as one of the other parts, from the east side unto the west side: and the sanctuary shall be in the midst of it.(KJV-1611) Eze 48:8 Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:9 ============ Eze 48:9 The oblation that ye shall offer unto the LORD shall be of five and twenty thousand in length, and of ten thousand in breadth.(KJV-1611) Eze 48:9 Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:10 ============ Eze 48:10 And for them, even for the priests, shall be this holy oblation; toward the north five and twenty thousand in length, and toward the west ten thousand in breadth, and toward the east ten thousand in breadth, and toward the south five and twenty thousand in length: and the sanctuary of the LORD shall be in the midst thereof.(KJV-1611) Eze 48:10 Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:11 ============ Eze 48:11 It shall be for the priests that are sanctified of the sons of Zadok; which have kept my charge, which went not astray when the children of Israel went astray, as the Levites went astray.(KJV-1611) Eze 48:11 Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:12 ============ Eze 48:12 And this oblation of the land that is offered shall be unto them a thing most holy by the border of the Levites.(KJV-1611) Eze 48:12 Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:13 ============ Eze 48:13 And over against the border of the priests the Levites shall have five and twenty thousand in length, and ten thousand in breadth: all the length shall be five and twenty thousand, and the breadth ten thousand.(KJV-1611) Eze 48:13 Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:14 ============ Eze 48:14 And they shall not sell of it, neither exchange, nor alienate the firstfruits of the land: for it is holy unto the LORD.(KJV-1611) Eze 48:14 Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:15 ============ Eze 48:15 And the five thousand, that are left in the breadth over against the five and twenty thousand, shall be a profane place for the city, for dwelling, and for suburbs: and the city shall be in the midst thereof.(KJV-1611) Eze 48:15 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:16 ============ Eze 48:16 And these shall be the measures thereof; the north side four thousand and five hundred, and the south side four thousand and five hundred, and on the east side four thousand and five hundred, and the west side four thousand and five hundred.(KJV-1611) Eze 48:16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven mèt chak bò.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:17 ============ Eze 48:17 And the suburbs of the city shall be toward the north two hundred and fifty, and toward the south two hundred and fifty, and toward the east two hundred and fifty, and toward the west two hundred and fifty.(KJV-1611) Eze 48:17 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven mèt lajè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:18 ============ Eze 48:18 And the residue in length over against the oblation of the holy portion shall be ten thousand eastward, and ten thousand westward: and it shall be over against the oblation of the holy portion; and the increase thereof shall be for food unto them that serve the city.(KJV-1611) Eze 48:18 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:19 ============ Eze 48:19 And they that serve the city shall serve it out of all the tribes of Israel.(KJV-1611) Eze 48:19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:20 ============ Eze 48:20 All the oblation shall be five and twenty thousand by five and twenty thousand: ye shall offer the holy oblation foursquare, with the possession of the city.(KJV-1611) Eze 48:20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:21 ============ Eze 48:21 And the residue shall be for the prince, on the one side and on the other of the holy oblation, and of the possession of the city, over against the five and twenty thousand of the oblation toward the east border, and westward over against the five and twenty thousand toward the west border, over against the portions for the prince: and it shall be the holy oblation; and the sanctuary of the house shall be in the midst thereof.(KJV-1611) Eze 48:21 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:22 ============ Eze 48:22 Moreover from the possession of the Levites, and from the possession of the city, being in the midst of that which is the prince's, between the border of Judah and the border of Benjamin, shall be for the prince.(KJV-1611) Eze 48:22 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:23 ============ Eze 48:23 As for the rest of the tribes, from the east side unto the west side, Benjamin shall have a portion.(KJV-1611) Eze 48:23 Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:24 ============ Eze 48:24 And by the border of Benjamin, from the east side unto the west side, Simeon shall have a portion.(KJV-1611) Eze 48:24 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:25 ============ Eze 48:25 And by the border of Simeon, from the east side unto the west side, Issachar a portion.(KJV-1611) Eze 48:25 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:26 ============ Eze 48:26 And by the border of Issachar, from the east side unto the west side, Zebulun a portion.(KJV-1611) Eze 48:26 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:27 ============ Eze 48:27 And by the border of Zebulun, from the east side unto the west side, Gad a portion.(KJV-1611) Eze 48:27 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:28 ============ Eze 48:28 And by the border of Gad, at the south side southward, the border shall be even from Tamar unto the waters of strife in Kadesh, and to the river toward the great sea.(KJV-1611) Eze 48:28 Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:29 ============ Eze 48:29 This is the land which ye shall divide by lot unto the tribes of Israel for inheritance, and these are their portions, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Eze 48:29 Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:30 ============ Eze 48:30 And these are the goings out of the city on the north side, four thousand and five hundred measures.(KJV-1611) Eze 48:30 Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven mèt longè.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:31 ============ Eze 48:31 And the gates of the city shall be after the names of the tribes of Israel: three gates northward; one gate of Reuben, one gate of Judah, one gate of Levi.(KJV-1611) Eze 48:31 L'a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:32 ============ Eze 48:32 And at the east side four thousand and five hundred: and three gates; and one gate of Joseph, one gate of Benjamin, one gate of Dan.(KJV-1611) Eze 48:32 Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:33 ============ Eze 48:33 And at the south side four thousand and five hundred measures: and three gates; one gate of Simeon, one gate of Issachar, one gate of Zebulun.(KJV-1611) Eze 48:33 Miray sid la va mezire demil senksanven mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:34 ============ Eze 48:34 At the west side four thousand and five hundred, with their three gates; one gate of Gad, one gate of Asher, one gate of Naphtali.(KJV-1611) Eze 48:34 Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali.(Creole-HT) ======= Ezekiel 48:35 ============ Eze 48:35 It was round about eighteen thousand measures: and the name of the city from that day shall be, The LORD is there.(KJV-1611) Eze 48:35 Tout miray la nèt va mezire dimil katreven mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!(Creole-HT) ======= Daniel 1:1 ============ Dan 1:1 In the third year of the reign of Jehoiakim king of Judah came Nebuchadnezzar king of Babylon unto Jerusalem, and besieged it.(KJV-1611) Dan 1:1 Nan twazyèm lanne rèy Jojakim, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l' toupatou.(Creole-HT) ======= Daniel 1:2 ============ Dan 1:2 And the Lord gave Jehoiakim king of Judah into his hand, with part of the vessels of the house of God: which he carried into the land of Shinar to the house of his god; and he brought the vessels into the treasure house of his god.(KJV-1611) Dan 1:2 Seyè a kite l' mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nèbikadneza mennen kèk prizonye avè l' nan tanp bondye pa l' yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l' yo.(Creole-HT) ======= Daniel 1:3 ============ Dan 1:3 And the king spake unto Ashpenaz the master of his eunuchs, that he should bring certain of the children of Israel, and of the king's seed, and of the princes;(KJV-1611) Dan 1:3 Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l' te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki soti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo.(Creole-HT) ======= Daniel 1:4 ============ Dan 1:4 Children in whom was no blemish, but well favoured, and skilful in all wisdom, and cunning in knowledge, and understanding science, and such as had ability in them to stand in the king's palace, and whom they might teach the learning and the tongue of the Chaldeans.(KJV-1611) Dan 1:4 Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l' te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Daniel 1:5 ============ Dan 1:5 And the king appointed them a daily provision of the king's meat, and of the wine which he drank: so nourishing them three years, that at the end thereof they might stand before the king.(KJV-1611) Dan 1:5 Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li.(Creole-HT) ======= Daniel 1:6 ============ Dan 1:6 Now among these were of the children of Judah, Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah:(KJV-1611) Dan 1:6 Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te soti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya.(Creole-HT) ======= Daniel 1:7 ============ Dan 1:7 Unto whom the prince of the eunuchs gave names: for he gave unto Daniel the name of Belteshazzar; and to Hananiah, of Shadrach; and to Mishael, of Meshach; and to Azariah, of Abednego.(KJV-1611) Dan 1:7 Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.(Creole-HT) ======= Daniel 1:8 ============ Dan 1:8 But Daniel purposed in his heart that he would not defile himself with the portion of the king's meat, nor with the wine which he drank: therefore he requested of the prince of the eunuchs that he might not defile himself.(KJV-1611) Dan 1:8 Danyèl te pran desizyon nan kè l' pou l' pa t' manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l' te ka toujou nan kondisyon pou l' sèvi Bondye l'. Se konsa, li al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l' pèmisyon pou l' pa blije manje manje sa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 1:9 ============ Dan 1:9 Now God had brought Daniel into favour and tender love with the prince of the eunuchs.(KJV-1611) Dan 1:9 Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l' te ale avè l'.(Creole-HT) ======= Daniel 1:10 ============ Dan 1:10 And the prince of the eunuchs said unto Daniel, I fear my lord the king, who hath appointed your meat and your drink: for why should he see your faces worse liking than the children which are of your sort? then shall ye make me endanger my head to the king.(KJV-1611) Dan 1:10 Men, Achpenaz di Danyèl konsa: -Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m'.(Creole-HT) ======= Daniel 1:11 ============ Dan 1:11 Then said Daniel to Melzar, whom the prince of the eunuchs had set over Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah,(KJV-1611) Dan 1:11 Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l':(Creole-HT) ======= Daniel 1:12 ============ Dan 1:12 Prove thy servants, I beseech thee, ten days; and let them give us pulse to eat, and water to drink.(KJV-1611) Dan 1:12 -Pandan dis jou ban nou legim ase pou n' manje ak dlo pou nou bwè.(Creole-HT) ======= Daniel 1:13 ============ Dan 1:13 Then let our countenances be looked upon before thee, and the countenance of the children that eat of the portion of the king's meat: and as thou seest, deal with thy servants.(KJV-1611) Dan 1:13 Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.(Creole-HT) ======= Daniel 1:14 ============ Dan 1:14 So he consented to them in this matter, and proved them ten days.(KJV-1611) Dan 1:14 Gad la dakò pou l' ba yo yon chans pandan dis jou.(Creole-HT) ======= Daniel 1:15 ============ Dan 1:15 And at the end of ten days their countenances appeared fairer and fatter in flesh than all the children which did eat the portion of the king's meat.(KJV-1611) Dan 1:15 Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 1:16 ============ Dan 1:16 Thus Melzar took away the portion of their meat, and the wine that they should drink; and gave them pulse.(KJV-1611) Dan 1:16 Depi lè sa a, gad la pa t' ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.(Creole-HT) ======= Daniel 1:17 ============ Dan 1:17 As for these four children, God gave them knowledge and skill in all learning and wisdom: and Daniel had understanding in all visions and dreams.(KJV-1611) Dan 1:17 Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.(Creole-HT) ======= Daniel 1:18 ============ Dan 1:18 Now at the end of the days that the king had said he should bring them in, then the prince of the eunuchs brought them in before Nebuchadnezzar.(KJV-1611) Dan 1:18 Apre tan wa a te fikse a fin pase, Achpenaz mennen tout jenn gason yo bay wa Nèbikadneza.(Creole-HT) ======= Daniel 1:19 ============ Dan 1:19 And the king communed with them; and among them all was found none like Daniel, Hananiah, Mishael, and Azariah: therefore stood they before the king.(KJV-1611) Dan 1:19 Wa a pale ak yo tout. Nan mitan tout jenn gason yo li pa t' jwenn tankou Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Se konsa yo rete nan palè a pou sèvi wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 1:20 ============ Dan 1:20 And in all matters of wisdom and understanding, that the king enquired of them, he found them ten times better than all the magicians and astrologers that were in all his realm.(KJV-1611) Dan 1:20 Lè wa a mande yo konsèy pou nenpòt pwoblèm ki mande konesans ak lespri, li wè jenn gason sa yo te konnen dis fwa plis pase tout lòt divinò ak moun ki li zetwal nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Daniel 1:21 ============ Dan 1:21 And Daniel continued even unto the first year of king Cyrus.(KJV-1611) Dan 1:21 Se konsa, Danyèl rete nan palè a jouk lè wa Siris antre lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Daniel 2:1 ============ Dan 2:1 And in the second year of the reign of Nebuchadnezzar Nebuchadnezzar dreamed dreams, wherewith his spirit was troubled, and his sleep brake from him.(KJV-1611) Dan 2:1 Wa Nèbikadneza t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l' anpil. Li pa t' ka dòmi.(Creole-HT) ======= Daniel 2:2 ============ Dan 2:2 Then the king commanded to call the magicians, and the astrologers, and the sorcerers, and the Chaldeans, for to shew the king his dreams. So they came and stood before the king.(KJV-1611) Dan 2:2 Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 2:3 ============ Dan 2:3 And the king said unto them, I have dreamed a dream, and my spirit was troubled to know the dream.(KJV-1611) Dan 2:3 Wa a di yo konsa: -Mwen fè yon rèv k'ap boulvèse m' anpil. Mwen ta renmen nou fè m' konnen sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:4 ============ Dan 2:4 Then spake the Chaldeans to the king in Syriack, O king, live for ever: tell thy servants the dream, and we will shew the interpretation.(KJV-1611) Dan 2:4 Mesye yo reponn wa a nan lang arameyen. Yo di l' konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! Se sèvitè ou nou ye. Rakonte nou rèv la, n'a esplike ou sa l' vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:5 ============ Dan 2:5 The king answered and said to the Chaldeans, The thing is gone from me: if ye will not make known unto me the dream, with the interpretation thereof, ye shall be cut in pieces, and your houses shall be made a dunghill.(KJV-1611) Dan 2:5 Wa a reponn, li di mesye yo: -Mwen deside se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a, lèfini, pou nou fè m' konnen sa li vle di. Si nou pa kapab, m'ap fè yo depatcha nou, m'ap fè yo kraze kay nou ra pye tè.(Creole-HT) ======= Daniel 2:6 ============ Dan 2:6 But if ye shew the dream, and the interpretation thereof, ye shall receive of me gifts and rewards and great honour: therefore shew me the dream, and the interpretation thereof.(KJV-1611) Dan 2:6 Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:7 ============ Dan 2:7 They answered again and said, Let the king tell his servants the dream, and we will shew the interpretation of it.(KJV-1611) Dan 2:7 Mesye yo reponn wa a yon dezyèm fwa: -Si monwa ta vle rakonte nou rèv la, n'a fè l' konnen sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:8 ============ Dan 2:8 The king answered and said, I know of certainty that ye would gain the time, because ye see the thing is gone from me.(KJV-1611) Dan 2:8 Wa a di: -Mwen sèten nou soti pou n' fè lè, paske nou konnen mwen fin deside(Creole-HT) ======= Daniel 2:9 ============ Dan 2:9 But if ye will not make known unto me the dream, there is but one decree for you: for ye have prepared lying and corrupt words to speak before me, till the time be changed: therefore tell me the dream, and I shall know that ye can shew me the interpretation thereof.(KJV-1611) Dan 2:9 si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:10 ============ Dan 2:10 The Chaldeans answered before the king, and said, There is not a man upon the earth that can shew the king's matter: therefore there is no king, lord, nor ruler, that asked such things at any magician, or astrologer, or Chaldean.(KJV-1611) Dan 2:10 Nèg save yo reponn wa a, yo di l' konsa: -Pa gen pesonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l' gran, li te mèt gen pouvwa pase sa n' pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.(Creole-HT) ======= Daniel 2:11 ============ Dan 2:11 And it is a rare thing that the king requireth, and there is none other that can shew it before the king, except the gods, whose dwelling is not with flesh.(KJV-1611) Dan 2:11 Sa monwa ap mande la a se yon bagay ki difisil anpil. Pa gen moun sou latè ki ka fè l' pou ou. Se bondye yo ase ki ka fè sa. Men, bondye yo pa rete nan mitan moun.(Creole-HT) ======= Daniel 2:12 ============ Dan 2:12 For this cause the king was angry and very furious, and commanded to destroy all the wise men of Babylon.(KJV-1611) Dan 2:12 Lè wa a tande sa, li move. Li fè yon sèl kòlè, li bay lòd touye dènye nèg save ki lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Daniel 2:13 ============ Dan 2:13 And the decree went forth that the wise men should be slain; and they sought Daniel and his fellows to be slain.(KJV-1611) Dan 2:13 Se konsa yo fè tout moun nan peyi a konnen yo tapral touye tout nèg save yo. Y' al chache Danyèl ak zanmi l' yo pou touye yo tou.(Creole-HT) ======= Daniel 2:14 ============ Dan 2:14 Then Daniel answered with counsel and wisdom to Arioch the captain of the king's guard, which was gone forth to slay the wise men of Babylon:(KJV-1611) Dan 2:14 Lè sa a, Danyèl al jwenn Ajòk, kòmandan gad palè wa a ki t'ap pase pou li al touye nèg save yo. Li pran san li pou l' pale byen avè l'.(Creole-HT) ======= Daniel 2:15 ============ Dan 2:15 He answered and said to Arioch the king's captain, Why is the decree so hasty from the king? Then Arioch made the thing known to Daniel.(KJV-1611) Dan 2:15 Li di Ajòk, ofisye wa a: -Poukisa wa a bay lòd sevè sa a? Ajòk rakonte Danyèl sa ki pase.(Creole-HT) ======= Daniel 2:16 ============ Dan 2:16 Then Daniel went in, and desired of the king that he would give him time, and that he would shew the king the interpretation.(KJV-1611) Dan 2:16 Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l' ka fè wa a konnen sa rèv la vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:17 ============ Dan 2:17 Then Daniel went to his house, and made the thing known to Hananiah, Mishael, and Azariah, his companions:(KJV-1611) Dan 2:17 Apre sa, Danyèl al lakay li, epi li di Ananya, Michayèl ak Azarya, zanmi l' yo, sa ki genyen.(Creole-HT) ======= Daniel 2:18 ============ Dan 2:18 That they would desire mercies of the God of heaven concerning this secret; that Daniel and his fellows should not perish with the rest of the wise men of Babylon.(KJV-1611) Dan 2:18 Li mande pou yo lapriyè Bondye ki nan syèl la pou li gen pitye pou yo, pou li fè yo konprann rèv la, konsa yo p'ap touye ni yo menm ni lòt nèg save lavil Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Daniel 2:19 ============ Dan 2:19 Then was the secret revealed unto Daniel in a night vision. Then Daniel blessed the God of heaven.(KJV-1611) Dan 2:19 Menm jou lannwit sa a, Bondye fè Danyèl konprann rèv la nan yon vizyon. Lè sa a, Danyèl fè lwanj Bondye ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Daniel 2:20 ============ Dan 2:20 Daniel answered and said, Blessed be the name of God for ever and ever: for wisdom and might are his:(KJV-1611) Dan 2:20 Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs.(Creole-HT) ======= Daniel 2:21 ============ Dan 2:21 And he changeth the times and the seasons: he removeth kings, and setteth up kings: he giveth wisdom unto the wise, and knowledge to them that know understanding:(KJV-1611) Dan 2:21 Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.(Creole-HT) ======= Daniel 2:22 ============ Dan 2:22 He revealeth the deep and secret things: he knoweth what is in the darkness, and the light dwelleth with him.(KJV-1611) Dan 2:22 Se li ki fè moun konnen tout sekrè ki kache. Li konnen tou sa ki nan fènwa. Limyè klere kote l' pase.(Creole-HT) ======= Daniel 2:23 ============ Dan 2:23 I thank thee, and praise thee, O thou God of my fathers, who hast given me wisdom and might, and hast made known unto me now what we desired of thee: for thou hast now made known unto us the king's matter.(KJV-1611) Dan 2:23 Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 2:24 ============ Dan 2:24 Therefore Daniel went in unto Arioch, whom the king had ordained to destroy the wise men of Babylon: he went and said thus unto him; Destroy not the wise men of Babylon: bring me in before the king, and I will shew unto the king the interpretation.(KJV-1611) Dan 2:24 Lamenm, Danyèl al jwenn Ajòk, nonm wa a te bay lòd al touye tout nèg save lavil Babilòn yo. Li di l' konsa: -Pa touye nèg save lavil Babilòn yo. Mennen m' bò kote wa a, m'a di l' sa rèv li te fè a vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:25 ============ Dan 2:25 Then Arioch brought in Daniel before the king in haste, and said thus unto him, I have found a man of the captives of Judah, that will make known unto the king the interpretation.(KJV-1611) Dan 2:25 Ajòk prese mennen Danyèl bay wa a. Epi li di: -Monwa, mwen jwenn yon nonm nan jwif yo te depòte yo ki ka di ou sa rèv ou te fè a vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:26 ============ Dan 2:26 The king answered and said to Daniel, whose name was Belteshazzar, Art thou able to make known unto me the dream which I have seen, and the interpretation thereof?(KJV-1611) Dan 2:26 Wa a di Danyèl yo te rele Beltechaza a: -Eske ou ka di m' rèv mwen te fè a? Eske ou ka fè m' konnen sa l' vle di?(Creole-HT) ======= Daniel 2:27 ============ Dan 2:27 Daniel answered in the presence of the king, and said, The secret which the king hath demanded cannot the wise men, the astrologers, the magicians, the soothsayers, shew unto the king;(KJV-1611) Dan 2:27 Danyèl reponn: -Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa.(Creole-HT) ======= Daniel 2:28 ============ Dan 2:28 But there is a God in heaven that revealeth secrets, and maketh known to the king Nebuchadnezzar what shall be in the latter days. Thy dream, and the visions of thy head upon thy bed, are these;(KJV-1611) Dan 2:28 Men, gen yon Bondye nan syèl la ki devwale tout sekrè ki kache. Se li k'ap fè ou konnen sa ki gen pou rive pita. Men rèv ou te fè a, men vizyon ou te wè pandan ou t'ap dòmi an.(Creole-HT) ======= Daniel 2:29 ============ Dan 2:29 As for thee, O king, thy thoughts came into thy mind upon thy bed, what should come to pass hereafter: and he that revealeth secrets maketh known to thee what shall come to pass.(KJV-1611) Dan 2:29 Lè sa a, monwa t'ap dòmi, tèt ou pran travay sou sa ki gen pou rive pita. Epi Bondye ki devwale tout sekrè fè ou konnen sa ki pral rive.(Creole-HT) ======= Daniel 2:30 ============ Dan 2:30 But as for me, this secret is not revealed to me for any wisdom that I have more than any living, but for their sakes that shall make known the interpretation to the king, and that thou mightest know the thoughts of thy heart.(KJV-1611) Dan 2:30 Konnen byen, monwa, se pa paske mwen gen plis konprann pase tout moun ki fè m' rive konnen sekrè sa a. Men, se pou wa a ka rive konnen sans rèv li te fè a, pou l' ka konprann tout lide sa yo ki t'ap travay nan tèt li a.(Creole-HT) ======= Daniel 2:31 ============ Dan 2:31 Thou, O king, sawest, and behold a great image. This great image, whose brightness was excellent, stood before thee; and the form thereof was terrible.(KJV-1611) Dan 2:31 Monwa, ou fè yon vizyon. Ou wè yon gwo estati byen wo kanpe devan ou. Li te klere kou sa m' pa konnen. Bagay pou fè moun pè anpil.(Creole-HT) ======= Daniel 2:32 ============ Dan 2:32 This image's head was of fine gold, his breast and his arms of silver, his belly and his thighs of brass,(KJV-1611) Dan 2:32 Tèt li te fèt an lò, lestonmak li ak de bra l' yo te fèt an ajan, vant li ak de kwis li yo te fèt an kwiv,(Creole-HT) ======= Daniel 2:33 ============ Dan 2:33 His legs of iron, his feet part of iron and part of clay.(KJV-1611) Dan 2:33 de janm li yo te fèt an fè, pye l' yo menm te mwatye an fè, mwatye an tè krich.(Creole-HT) ======= Daniel 2:34 ============ Dan 2:34 Thou sawest till that a stone was cut out without hands, which smote the image upon his feet that were of iron and clay, and brake them to pieces.(KJV-1611) Dan 2:34 Antan ou t'ap gade l' konsa, yon wòch pran woule desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', li vin frape estati a nan pye l' yo ki te fèt mwatye an fè mwatye an tè krich, li kraze yo an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Daniel 2:35 ============ Dan 2:35 Then was the iron, the clay, the brass, the silver, and the gold, broken to pieces together, and became like the chaff of the summer threshingfloors; and the wind carried them away, that no place was found for them: and the stone that smote the image became a great mountain, and filled the whole earth.(KJV-1611) Dan 2:35 Lamenm, fè, tè krich, kwiv, ajan, lò tonbe atè, yo tounen pousyè tankou pousyè sou glasi nan sezon chalè. Yon van soufle, li pote yo ale, li pa kite yon ti remak. Men, wòch ki te frape estati a pran grandi, li grandi, li grandi jouk li tounen yon gwo mòn ki kouvri tout latè.(Creole-HT) ======= Daniel 2:36 ============ Dan 2:36 This is the dream; and we will tell the interpretation thereof before the king.(KJV-1611) Dan 2:36 Sa se rèv ou te fè a. Koulye a, monwa, mwen pral fè ou konnen sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 2:37 ============ Dan 2:37 Thou, O king, art a king of kings: for the God of heaven hath given thee a kingdom, power, and strength, and glory.(KJV-1611) Dan 2:37 Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou.(Creole-HT) ======= Daniel 2:38 ============ Dan 2:38 And wheresoever the children of men dwell, the beasts of the field and the fowls of the heaven hath he given into thine hand, and hath made thee ruler over them all. Thou art this head of gold.(KJV-1611) Dan 2:38 Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a.(Creole-HT) ======= Daniel 2:39 ============ Dan 2:39 And after thee shall arise another kingdom inferior to thee, and another third kingdom of brass, which shall bear rule over all the earth.(KJV-1611) Dan 2:39 Apre ou, va gen yon lòt pèp k'ap pran gouvènman an. Men, gouvènman wa li a p'ap ka wè devan pa ou la. Konsa tou apre sa, va gen yon twazyèm pèp k'ap pran gouvènman an ankò. Se va tankou kwiv devan lò ou la. Li menm tou, l'ap donminen sou tout latè.(Creole-HT) ======= Daniel 2:40 ============ Dan 2:40 And the fourth kingdom shall be strong as iron: forasmuch as iron breaketh in pieces and subdueth all things: and as iron that breaketh all these, shall it break in pieces and bruise.(KJV-1611) Dan 2:40 Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè.(Creole-HT) ======= Daniel 2:41 ============ Dan 2:41 And whereas thou sawest the feet and toes, part of potters' clay, and part of iron, the kingdom shall be divided; but there shall be in it of the strength of the iron, forasmuch as thou sawest the iron mixed with miry clay.(KJV-1611) Dan 2:41 Ou te wè tou de pye yo ak tout zòtèy yo te mwatye an fè mwatye an tè krich. Sa vle di, ape gen divizyon nan dènye gouvènman an. L'ap yon ti jan solid tankou fè, menm jan ou te wè fè melanje ak tè krich la.(Creole-HT) ======= Daniel 2:42 ============ Dan 2:42 And as the toes of the feet were part of iron, and part of clay, so the kingdom shall be partly strong, and partly broken.(KJV-1611) Dan 2:42 Zòtèy yo tou te mwatye fè, mwatye tè krich. Sa vle di, yon pòsyon nan gouvènman sa a pral gen fòs, yon lòt pòsyon pral fèb.(Creole-HT) ======= Daniel 2:43 ============ Dan 2:43 And whereas thou sawest iron mixed with miry clay, they shall mingle themselves with the seed of men: but they shall not cleave one to another, even as iron is not mixed with clay.(KJV-1611) Dan 2:43 Ou te wè fè a te melanje ak tè krich la, men yo pa t' pran. Konsa tou, chèf gouvènman sa yo pral seye mete tèt yo ansanm. Y'ap fè de fanmi yo marye yonn ak lòt. Men, sa p'ap mache.(Creole-HT) ======= Daniel 2:44 ============ Dan 2:44 And in the days of these kings shall the God of heaven set up a kingdom, which shall never be destroyed: and the kingdom shall not be left to other people, but it shall break in pieces and consume all these kingdoms, and it shall stand for ever.(KJV-1611) Dan 2:44 Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Daniel 2:45 ============ Dan 2:45 Forasmuch as thou sawest that the stone was cut out of the mountain without hands, and that it brake in pieces the iron, the brass, the clay, the silver, and the gold; the great God hath made known to the king what shall come to pass hereafter: and the dream is certain, and the interpretation thereof sure.(KJV-1611) Dan 2:45 Ou te wè ki jan yon wòch te pran desann soti kote l' soti a, san se pa pesonn ki voye l', epi li kraze gwo estati ki te fèt an fè, kwiv, tè krich, ajan ak lò a, pa vre? Bondye ki gen anpil pouvwa a fè monwa konnen sa ki gen pou rive nan tan k'ap vini an. Rèv ou te fè a klè. Sans mwen fè ou konnen an sèten.(Creole-HT) ======= Daniel 2:46 ============ Dan 2:46 Then the king Nebuchadnezzar fell upon his face, and worshipped Daniel, and commanded that they should offer an oblation and sweet odours unto him.(KJV-1611) Dan 2:46 Lè sa a, wa Nèbikadneza tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Danyèl, epi li bay lòd pou yo fè ofrann bèt pou touye ak lòt ofrann ba li.(Creole-HT) ======= Daniel 2:47 ============ Dan 2:47 The king answered unto Daniel, and said, Of a truth it is, that your God is a God of gods, and a Lord of kings, and a revealer of secrets, seeing thou couldest reveal this secret.(KJV-1611) Dan 2:47 Wa a di Danyèl konsa: -Se vre wi! Bondye ou la gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo. Se li ki chèf tout wa, se li menm ki fè moun konnen sekrè ki kache, depi ou te ka fè m' konprann sans rèv mwen te fè a.(Creole-HT) ======= Daniel 2:48 ============ Dan 2:48 Then the king made Daniel a great man, and gave him many great gifts, and made him ruler over the whole province of Babylon, and chief of the governors over all the wise men of Babylon.(KJV-1611) Dan 2:48 Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo.(Creole-HT) ======= Daniel 2:49 ============ Dan 2:49 Then Daniel requested of the king, and he set Shadrach, Meshach, and Abednego, over the affairs of the province of Babylon: but Daniel sat in the gate of the king.(KJV-1611) Dan 2:49 Danyèl mande wa a pou li mete Chadrak, Mechak ak Abèdnego reskonsab òganize travay gouvènman an nan pwovens Babilòn lan. Danyèl menm te rete nan palè wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:1 ============ Dan 3:1 Nebuchadnezzar the king made an image of gold, whose height was threescore cubits, and the breadth thereof six cubits: he set it up in the plain of Dura, in the province of Babylon.(KJV-1611) Dan 3:1 Wa Nèbikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevendis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l' kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Daniel 3:2 ============ Dan 3:2 Then Nebuchadnezzar the king sent to gather together the princes, the governors, and the captains, the judges, the treasurers, the counsellors, the sheriffs, and all the rulers of the provinces, to come to the dedication of the image which Nebuchadnezzar the king had set up.(KJV-1611) Dan 3:2 Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l' nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis.(Creole-HT) ======= Daniel 3:3 ============ Dan 3:3 Then the princes, the governors, and captains, the judges, the treasurers, the counsellors, the sheriffs, and all the rulers of the provinces, were gathered together unto the dedication of the image that Nebuchadnezzar the king had set up; and they stood before the image that Nebuchadnezzar had set up.(KJV-1611) Dan 3:3 Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:4 ============ Dan 3:4 Then an herald cried aloud, To you it is commanded, O people, nations, and languages,(KJV-1611) Dan 3:4 Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di: -Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou.(Creole-HT) ======= Daniel 3:5 ============ Dan 3:5 That at what time ye hear the sound of the cornet, flute, harp, sackbut, psaltery, dulcimer, and all kinds of musick, ye fall down and worship the golden image that Nebuchadnezzar the king hath set up:(KJV-1611) Dan 3:5 Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l'.(Creole-HT) ======= Daniel 3:6 ============ Dan 3:6 And whoso falleth not down and worshippeth shall the same hour be cast into the midst of a burning fiery furnace.(KJV-1611) Dan 3:6 Tout moun ki refize mete ajenou devan estati a pou adore l', y'ap pran l' al lage tou vivan anndan yon gwo fou tou limen.(Creole-HT) ======= Daniel 3:7 ============ Dan 3:7 Therefore at that time, when all the people heard the sound of the cornet, flute, harp, sackbut, psaltery, and all kinds of musick, all the people, the nations, and the languages, fell down and worshipped the golden image that Nebuchadnezzar the king had set up.(KJV-1611) Dan 3:7 Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nèbikadneza te fè fè a, yo adore l'. Te gen moun tout nasyon ki soti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang.(Creole-HT) ======= Daniel 3:8 ============ Dan 3:8 Wherefore at that time certain Chaldeans came near, and accused the Jews.(KJV-1611) Dan 3:8 Lè sa a, gen kèk moun lavil Babilòn ki pwofite al denonse jwif yo.(Creole-HT) ======= Daniel 3:9 ============ Dan 3:9 They spake and said to the king Nebuchadnezzar, O king, live for ever.(KJV-1611) Dan 3:9 Yo di wa Nèbikadneza konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan!(Creole-HT) ======= Daniel 3:10 ============ Dan 3:10 Thou, O king, hast made a decree, that every man that shall hear the sound of the cornet, flute, harp, sackbut, psaltery, and dulcimer, and all kinds of musick, shall fall down and worship the golden image:(KJV-1611) Dan 3:10 Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe.(Creole-HT) ======= Daniel 3:11 ============ Dan 3:11 And whoso falleth not down and worshippeth, that he should be cast into the midst of a burning fiery furnace.(KJV-1611) Dan 3:11 Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l' tout vivan nan gwo fou tou limen an.(Creole-HT) ======= Daniel 3:12 ============ Dan 3:12 There are certain Jews whom thou hast set over the affairs of the province of Babylon, Shadrach, Meshach, and Abednego; these men, O king, have not regarded thee: they serve not thy gods, nor worship the golden image which thou hast set up.(KJV-1611) Dan 3:12 Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:13 ============ Dan 3:13 Then Nebuchadnezzar in his rage and fury commanded to bring Shadrach, Meshach, and Abednego. Then they brought these men before the king.(KJV-1611) Dan 3:13 Lè Nèbikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:14 ============ Dan 3:14 Nebuchadnezzar spake and said unto them, Is it true, O Shadrach, Meshach, and Abednego, do not ye serve my gods, nor worship the golden image which I have set up?(KJV-1611) Dan 3:14 Wa a di yo konsa: -Chadrak, Mechak ak Abèdnego, èske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a?(Creole-HT) ======= Daniel 3:15 ============ Dan 3:15 Now if ye be ready that at what time ye hear the sound of the cornet, flute, harp, sackbut, psaltery, and dulcimer, and all kinds of musick, ye fall down and worship the image which I have made; well: but if ye worship not, ye shall be cast the same hour into the midst of a burning fiery furnace; and who is that God that shall deliver you out of my hands?(KJV-1611) Dan 3:15 Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.(Creole-HT) ======= Daniel 3:16 ============ Dan 3:16 Shadrach, Meshach, and Abednego, answered and said to the king, O Nebuchadnezzar, we are not careful to answer thee in this matter.(KJV-1611) Dan 3:16 Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou.(Creole-HT) ======= Daniel 3:17 ============ Dan 3:17 If it be so, our God whom we serve is able to deliver us from the burning fiery furnace, and he will deliver us out of thine hand, O king.(KJV-1611) Dan 3:17 Si Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l'.(Creole-HT) ======= Daniel 3:18 ============ Dan 3:18 But if not, be it known unto thee, O king, that we will not serve thy gods, nor worship the golden image which thou hast set up.(KJV-1611) Dan 3:18 Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:19 ============ Dan 3:19 Then was Nebuchadnezzar full of fury, and the form of his visage was changed against Shadrach, Meshach, and Abednego: therefore he spake, and commanded that they should heat the furnace one seven times more than it was wont to be heated.(KJV-1611) Dan 3:19 Lè wa Nèbikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kolè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l' la.(Creole-HT) ======= Daniel 3:20 ============ Dan 3:20 And he commanded the most mighty men that were in his army to bind Shadrach, Meshach, and Abednego, and to cast them into the burning fiery furnace.(KJV-1611) Dan 3:20 Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi gwonèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an.(Creole-HT) ======= Daniel 3:21 ============ Dan 3:21 Then these men were bound in their coats, their hosen, and their hats, and their other garments, and were cast into the midst of the burning fiery furnace.(KJV-1611) Dan 3:21 Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo.(Creole-HT) ======= Daniel 3:22 ============ Dan 3:22 Therefore because the king's commandment was urgent, and the furnace exceeding hot, the flames of the fire slew those men that took up Shadrach, Meshach, and Abednego.(KJV-1611) Dan 3:22 Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri.(Creole-HT) ======= Daniel 3:23 ============ Dan 3:23 And these three men, Shadrach, Meshach, and Abednego, fell down bound into the midst of the burning fiery furnace.(KJV-1611) Dan 3:23 Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an.(Creole-HT) ======= Daniel 3:24 ============ Dan 3:24 Then Nebuchadnezzar the king was astonied, and rose up in haste, and spake, and said unto his counsellors, Did not we cast three men bound into the midst of the fire? They answered and said unto the king, True, O king.(KJV-1611) Dan 3:24 Apre sa, wa Nèbikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l' yo: -Eske se pa t' twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an? Yo reponn li: -Se sa wi, monwa!(Creole-HT) ======= Daniel 3:25 ============ Dan 3:25 He answered and said, Lo, I see four men loose, walking in the midst of the fire, and they have no hurt; and the form of the fourth is like the Son of God.(KJV-1611) Dan 3:25 Wa a di yo ankò: -Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo.(Creole-HT) ======= Daniel 3:26 ============ Dan 3:26 Then Nebuchadnezzar came near to the mouth of the burning fiery furnace, and spake, and said, Shadrach, Meshach, and Abednego, ye servants of the most high God, come forth, and come hither. Then Shadrach, Meshach, and Abednego, came forth of the midst of the fire.(KJV-1611) Dan 3:26 Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:27 ============ Dan 3:27 And the princes, governors, and captains, and the king's counsellors, being gathered together, saw these men, upon whose bodies the fire had no power, nor was an hair of their head singed, neither were their coats changed, nor the smell of fire had passed on them.(KJV-1611) Dan 3:27 Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo.(Creole-HT) ======= Daniel 3:28 ============ Dan 3:28 Then Nebuchadnezzar spake, and said, Blessed be the God of Shadrach, Meshach, and Abednego, who hath sent his angel, and delivered his servants that trusted in him, and have changed the king's word, and yielded their bodies, that they might not serve nor worship any god, except their own God.(KJV-1611) Dan 3:28 Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.(Creole-HT) ======= Daniel 3:29 ============ Dan 3:29 Therefore I make a decree, That every people, nation, and language, which speak any thing amiss against the God of Shadrach, Meshach, and Abednego, shall be cut in pieces, and their houses shall be made a dunghill: because there is no other God that can deliver after this sort.(KJV-1611) Dan 3:29 Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.(Creole-HT) ======= Daniel 3:30 ============ Dan 3:30 Then the king promoted Shadrach, Meshach, and Abednego, in the province of Babylon.(KJV-1611) Dan 3:30 Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Daniel 4:1 ============ Dan 4:1 Nebuchadnezzar the king, unto all people, nations, and languages, that dwell in all the earth; Peace be multiplied unto you.(KJV-1611) Dan 4:1 Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.(Creole-HT) ======= Daniel 4:2 ============ Dan 4:2 I thought it good to shew the signs and wonders that the high God hath wrought toward me.(KJV-1611) Dan 4:2 Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.(Creole-HT) ======= Daniel 4:3 ============ Dan 4:3 How great are his signs! and how mighty are his wonders! his kingdom is an everlasting kingdom, and his dominion is from generation to generation.(KJV-1611) Dan 4:3 Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l' la la jouk sa kaba nèt.(Creole-HT) ======= Daniel 4:4 ============ Dan 4:4 I Nebuchadnezzar was at rest in mine house, and flourishing in my palace:(KJV-1611) Dan 4:4 Mwen menm, Nèbikadneza, mwen t'ap viv alèz lakay mwen. Tout zafè m' t'ap mache byen nan palè a.(Creole-HT) ======= Daniel 4:5 ============ Dan 4:5 I saw a dream which made me afraid, and the thoughts upon my bed and the visions of my head troubled me.(KJV-1611) Dan 4:5 Men, mwen fè yon rèv ki boulvèse m' anpil. Antan m' t'ap dòmi, yon bann vye lide t'ap travay nan tèt mwen, epi mwen te fè yon vizyon ki t'ap trakase tèt mwen.(Creole-HT) ======= Daniel 4:6 ============ Dan 4:6 Therefore made I a decree to bring in all the wise men of Babylon before me, that they might make known unto me the interpretation of the dream.(KJV-1611) Dan 4:6 Mwen bay lòd pou yo fè chache tout nèg save ki nan lavil Babilòn pou yo vin ban m' esplikasyon rèv la.(Creole-HT) ======= Daniel 4:7 ============ Dan 4:7 Then came in the magicians, the astrologers, the Chaldeans, and the soothsayers: and I told the dream before them; but they did not make known unto me the interpretation thereof.(KJV-1611) Dan 4:7 Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 4:8 ============ Dan 4:8 But at the last Daniel came in before me, whose name was Belteshazzar, according to the name of my God, and in whom is the spirit of the holy gods: and before him I told the dream, saying,(KJV-1611) Dan 4:8 Apre sa, Danyèl vini devan mwen. Yo te ba li yon lòt non dapre non bondye mwen an: Yo te rele l' Beltechaza. Li gen lespri bondye yo nan li. Mwen rakonte l' rèv mwen te fè a.(Creole-HT) ======= Daniel 4:9 ============ Dan 4:9 O Belteshazzar, master of the magicians, because I know that the spirit of the holy gods is in thee, and no secret troubleth thee, tell me the visions of my dream that I have seen, and the interpretation thereof.(KJV-1611) Dan 4:9 Mwen di l': Beltechaza, ou menm ki chèf majisyen yo, mwen konnen ou gen lespri bondye yo nan ou, kifè pa gen mistè ou pa konprann. Men sa mwen te wè nan rèv mwen te fè a. Di m' kisa li vle di:(Creole-HT) ======= Daniel 4:10 ============ Dan 4:10 Thus were the visions of mine head in my bed; I saw, and behold a tree in the midst of the earth, and the height thereof was great.(KJV-1611) Dan 4:10 Antan mwen t'ap dòmi, mwen fè yon vizyon: Mwen wè yon gwo pyebwa byen kanpe nan mitan latè.(Creole-HT) ======= Daniel 4:11 ============ Dan 4:11 The tree grew, and was strong, and the height thereof reached unto heaven, and the sight thereof to the end of all the earth:(KJV-1611) Dan 4:11 Pyebwa a grandi, li grandi jouk tèt li rive nan syèl. Toupatou sou latè moun te ka wè l'.(Creole-HT) ======= Daniel 4:12 ============ Dan 4:12 The leaves thereof were fair, and the fruit thereof much, and in it was meat for all: the beasts of the field had shadow under it, and the fowls of the heaven dwelt in the boughs thereof, and all flesh was fed of it.(KJV-1611) Dan 4:12 Fèy li yo te bèl. Li te chaje ak donn. Te gen kont pou tout moun manje. Li te bay gwo lonbray pou bèt nan bwa yo pare solèy. Zwezo te fè nich nan tout branch li yo. Li te bay manje pou tout kalite bèt ak pou tout moun.(Creole-HT) ======= Daniel 4:13 ============ Dan 4:13 I saw in the visions of my head upon my bed, and, behold, a watcher and an holy one came down from heaven;(KJV-1611) Dan 4:13 Nan dòmi an, antan mwen t'ap kalkile sou rèv la, mwen wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann. Se te yonn nan zanj gadyen yo.(Creole-HT) ======= Daniel 4:14 ============ Dan 4:14 He cried aloud, and said thus, Hew down the tree, and cut off his branches, shake off his leaves, and scatter his fruit: let the beasts get away from under it, and the fowls from his branches:(KJV-1611) Dan 4:14 Li pale byen fò, li di konsa: Koupe pyebwa a met atè. Debranche l' nèt. Rache tout fèy li yo. Gaye tout donn li yo. Fè tout bèt soti anba lonbraj li. Fè tout zwezo vole kite branch li yo.(Creole-HT) ======= Daniel 4:15 ============ Dan 4:15 Nevertheless leave the stump of his roots in the earth, even with a band of iron and brass, in the tender grass of the field; and let it be wet with the dew of heaven, and let his portion be with the beasts in the grass of the earth:(KJV-1611) Dan 4:15 Men, kite yon gwo chouk ak tout rasin li nan tè. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Kite l' la konsa nan mitan zèb yo. Se pou lawouze tonbe sou nonm sa a. Se pou l' manje zèb nan savann tankou bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Daniel 4:16 ============ Dan 4:16 Let his heart be changed from man's, and let a beast's heart be given unto him; and let seven times pass over him.(KJV-1611) Dan 4:16 Pandan sètan, li p'ap gen lespri tankou tout moun. L'ap san konprann tankou yon bèt.(Creole-HT) ======= Daniel 4:17 ============ Dan 4:17 This matter is by the decree of the watchers, and the demand by the word of the holy ones: to the intent that the living may know that the most High ruleth in the kingdom of men, and giveth it to whomsoever he will, and setteth up over it the basest of men.(KJV-1611) Dan 4:17 Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!(Creole-HT) ======= Daniel 4:18 ============ Dan 4:18 This dream I king Nebuchadnezzar have seen. Now thou, O Belteshazzar, declare the interpretation thereof, forasmuch as all the wise men of my kingdom are not able to make known unto me the interpretation: but thou art able; for the spirit of the holy gods is in thee.(KJV-1611) Dan 4:18 Men rèv mwen menm, wa Nèbikadneza, mwen te fè a. Koulye a, ou menm Beltechaza, esplike m' sa li vle di. Pa gen yonn nan tout nèg save peyi m' lan ki te ka fè m' konnen sans rèv la. Men ou menm, ou kapab, paske lespri bondye yo nan ou.(Creole-HT) ======= Daniel 4:19 ============ Dan 4:19 Then Daniel, whose name was Belteshazzar, was astonied for one hour, and his thoughts troubled him. The king spake, and said, Belteshazzar, let not the dream, or the interpretation thereof, trouble thee. Belteshazzar answered and said, My lord, the dream be to them that hate thee, and the interpretation thereof to thine enemies.(KJV-1611) Dan 4:19 Lè sa a, Danyèl ki te rele Beltechaza tou, rete yon bon ti tan li pa di anyen, paske tèt li te boulvèse. Wa a di l' konsa: -Beltechaza monchè, pa kite rèv la ak esplikasyon l' lan boulvèse tèt ou! Beltechaza reponn: -Monwa, mwen ta swete rèv la ak tout esplikasyon l' lan pa pou ou, men pou lènmi ou yo, pou moun ki pa vle wè ou yo.(Creole-HT) ======= Daniel 4:20 ============ Dan 4:20 The tree that thou sawest, which grew, and was strong, whose height reached unto the heaven, and the sight thereof to all the earth;(KJV-1611) Dan 4:20 Pyebwa ou te wè ki t'ap grandi, ki t'ap gwosi jouk tèt li rive nan syèl la kifè dènye moun sou latè te ka wè l' la,(Creole-HT) ======= Daniel 4:21 ============ Dan 4:21 Whose leaves were fair, and the fruit thereof much, and in it was meat for all; under which the beasts of the field dwelt, and upon whose branches the fowls of the heaven had their habitation:(KJV-1611) Dan 4:21 pyebwa ki te gen fèy li yo bèl, ki te chaje donn kont pou tout moun sou latè te manje, ki te gen bèt nan bwa rete anba lonbray li ak zwezo ki te fè nich nan tout branch li yo,(Creole-HT) ======= Daniel 4:22 ============ Dan 4:22 It is thou, O king, that art grown and become strong: for thy greatness is grown, and reacheth unto heaven, and thy dominion to the end of the earth.(KJV-1611) Dan 4:22 pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.(Creole-HT) ======= Daniel 4:23 ============ Dan 4:23 And whereas the king saw a watcher and an holy one coming down from heaven, and saying, Hew the tree down, and destroy it; yet leave the stump of the roots thereof in the earth, even with a band of iron and brass, in the tender grass of the field; and let it be wet with the dew of heaven, and let his portion be with the beasts of the field, till seven times pass over him;(KJV-1611) Dan 4:23 Apre sa, antan wa a t'ap gade, li wè yon zanj Bondye soti nan syèl la desann, epi ki di: Koupe pyebwa a mete l' atè, detwi li. Men, kite chouk la nan tè ak tout rasin li yo. Mare l' ak chenn fèt an fè ak kwiv. Lèfini, kite l' nan mitan zèb yo. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a, kite l' viv ak bèt nan bwa yo pandan sètan.(Creole-HT) ======= Daniel 4:24 ============ Dan 4:24 This is the interpretation, O king, and this is the decree of the most High, which is come upon my lord the king:(KJV-1611) Dan 4:24 Bon, koulye a, men sa rèv la vle di monwa. Men sa Bondye ki anwo nan syèl la di ki pral rive ou.(Creole-HT) ======= Daniel 4:25 ============ Dan 4:25 That they shall drive thee from men, and thy dwelling shall be with the beasts of the field, and they shall make thee to eat grass as oxen, and they shall wet thee with the dew of heaven, and seven times shall pass over thee, till thou know that the most High ruleth in the kingdom of men, and giveth it to whomsoever he will.(KJV-1611) Dan 4:25 Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT) ======= Daniel 4:26 ============ Dan 4:26 And whereas they commanded to leave the stump of the tree roots; thy kingdom shall be sure unto thee, after that thou shalt have known that the heavens do rule.(KJV-1611) Dan 4:26 Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè.(Creole-HT) ======= Daniel 4:27 ============ Dan 4:27 Wherefore, O king, let my counsel be acceptable unto thee, and break off thy sins by righteousness, and thine iniquities by shewing mercy to the poor; if it may be a lengthening of thy tranquillity.(KJV-1611) Dan 4:27 Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 4:28 ============ Dan 4:28 All this came upon the king Nebuchadnezzar.(KJV-1611) Dan 4:28 Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.(Creole-HT) ======= Daniel 4:29 ============ Dan 4:29 At the end of twelve months he walked in the palace of the kingdom of Babylon.(KJV-1611) Dan 4:29 Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,(Creole-HT) ======= Daniel 4:30 ============ Dan 4:30 The king spake, and said, Is not this great Babylon, that I have built for the house of the kingdom by the might of my power, and for the honour of my majesty?(KJV-1611) Dan 4:30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.(Creole-HT) ======= Daniel 4:31 ============ Dan 4:31 While the word was in the king's mouth, there fell a voice from heaven, saying, O king Nebuchadnezzar, to thee it is spoken; The kingdom is departed from thee.(KJV-1611) Dan 4:31 Wa a pa t' ankò fèmen bouch li, lè yon vwa rete nan syèl la, li di: -Wa Nèbikadneza, koute sa m'ap di ou. Depi jòdi a, yo wete pouvwa a nan men ou. Ou pa wa ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 4:32 ============ Dan 4:32 And they shall drive thee from men, and thy dwelling shall be with the beasts of the field: they shall make thee to eat grass as oxen, and seven times shall pass over thee, until thou know that the most High ruleth in the kingdom of men, and giveth it to whomsoever he will.(KJV-1611) Dan 4:32 Yo p'ap kite ou mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa. Ou pral manje zèb tankou bèf pandan sètan, jouk w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT) ======= Daniel 4:33 ============ Dan 4:33 The same hour was the thing fulfilled upon Nebuchadnezzar: and he was driven from men, and did eat grass as oxen, and his body was wet with the dew of heaven, till his hairs were grown like eagles' feathers, and his nails like birds' claws.(KJV-1611) Dan 4:33 Lamenm sa pawòl la te di a rive vre. Yo mete wa a deyò pou l' pa mache sou moun. Li t'ap manje zèb tankou bèf. Lawouze tonbe sou tout kò l'. Cheve nan tèt li pouse tankou plim malfini, zong li yo vin long tankou grif zwezo.(Creole-HT) ======= Daniel 4:34 ============ Dan 4:34 And at the end of the days I Nebuchadnezzar lifted up mine eyes unto heaven, and mine understanding returned unto me, and I blessed the most High, and I praised and honoured him that liveth for ever, whose dominion is an everlasting dominion, and his kingdom is from generation to generation:(KJV-1611) Dan 4:34 Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Daniel 4:35 ============ Dan 4:35 And all the inhabitants of the earth are reputed as nothing: and he doeth according to his will in the army of heaven, and among the inhabitants of the earth: and none can stay his hand, or say unto him, What doest thou?(KJV-1611) Dan 4:35 Li pa pran moun k'ap viv sou latè yo pou anyen. Li fè sa li vle ak lame zanj ki nan syèl la, ansanm ak tout moun ki sou latè. Pesonn pa ka kenbe tèt avè l'. Pesonn pa ka mande l' kont!(Creole-HT) ======= Daniel 4:36 ============ Dan 4:36 At the same time my reason returned unto me; and for the glory of my kingdom, mine honour and brightness returned unto me; and my counsellors and my lords sought unto me; and I was established in my kingdom, and excellent majesty was added unto me.(KJV-1611) Dan 4:36 Lè bonnanj mwen tounen sou mwen, yo renmèt mwen pouvwa mwen, otorite mwen ak tout bèl bagay mwen te genyen. Konseye mwen yo ak chèf k'ap sèvi mwen yo voye chache m', yo mete m' wa ankò. Mwen vin gen plis pouvwa pase anvan.(Creole-HT) ======= Daniel 4:37 ============ Dan 4:37 Now I Nebuchadnezzar praise and extol and honour the King of heaven, all whose works are truth, and his ways judgment: and those that walk in pride he is able to abase.(KJV-1611) Dan 4:37 Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:1 ============ Dan 5:1 Belshazzar the king made a great feast to a thousand of his lords, and drank wine before the thousand.(KJV-1611) Dan 5:1 Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.(Creole-HT) ======= Daniel 5:2 ============ Dan 5:2 Belshazzar, whiles he tasted the wine, commanded to bring the golden and silver vessels which his father Nebuchadnezzar had taken out of the temple which was in Jerusalem; that the king, and his princes, his wives, and his concubines, might drink therein.(KJV-1611) Dan 5:2 Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:3 ============ Dan 5:3 Then they brought the golden vessels that were taken out of the temple of the house of God which was at Jerusalem; and the king, and his princes, his wives, and his concubines, drank in them.(KJV-1611) Dan 5:3 Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:4 ============ Dan 5:4 They drank wine, and praised the gods of gold, and of silver, of brass, of iron, of wood, and of stone.(KJV-1611) Dan 5:4 Yo t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.(Creole-HT) ======= Daniel 5:5 ============ Dan 5:5 In the same hour came forth fingers of a man's hand, and wrote over against the candlestick upon the plaister of the wall of the king's palace: and the king saw the part of the hand that wrote.(KJV-1611) Dan 5:5 Yo rete konsa, yo wè yon men moun parèt. Li pran ekri sou miray palè a, kote limyè lanp lan te pi klere a. Wa a wè bout men ki t'ap ekri a.(Creole-HT) ======= Daniel 5:6 ============ Dan 5:6 Then the king's countenance was changed, and his thoughts troubled him, so that the joints of his loins were loosed, and his knees smote one against another.(KJV-1611) Dan 5:6 Li chanje koulè, li vin pè. Li santi tout kò l' aprale, jenou l' yo pran tranble.(Creole-HT) ======= Daniel 5:7 ============ Dan 5:7 The king cried aloud to bring in the astrologers, the Chaldeans, and the soothsayers. And the king spake, and said to the wise men of Babylon, Whosoever shall read this writing, and shew me the interpretation thereof, shall be clothed with scarlet, and have a chain of gold about his neck, and shall be the third ruler in the kingdom.(KJV-1611) Dan 5:7 Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.(Creole-HT) ======= Daniel 5:8 ============ Dan 5:8 Then came in all the king's wise men: but they could not read the writing, nor make known to the king the interpretation thereof.(KJV-1611) Dan 5:8 Tout nèg save wa yo vanse. Men, pa t' gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l' konnen sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 5:9 ============ Dan 5:9 Then was king Belshazzar greatly troubled, and his countenance was changed in him, and his lords were astonied.(KJV-1611) Dan 5:9 Wa a vin pi pè toujou, figi l' pèdi koulè. Tout chèf yo menm pa t' konn sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Daniel 5:10 ============ Dan 5:10 Now the queen by reason of the words of the king and his lords came into the banquet house: and the queen spake and said, O king, live for ever: let not thy thoughts trouble thee, nor let thy countenance be changed:(KJV-1611) Dan 5:10 Larenn lan, manman wa a, tande tout pale fò wa a t'ap fè ansanm ak chèf li yo. Li antre nan sal resepsyon an. Li di konsa: -Monwa, mwen mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Ou pa bezwen pèdi tèt ou, ou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Daniel 5:11 ============ Dan 5:11 There is a man in thy kingdom, in whom is the spirit of the holy gods; and in the days of thy father light and understanding and wisdom, like the wisdom of the gods, was found in him; whom the king Nebuchadnezzar thy father, the king, I say, thy father, made master of the magicians, astrologers, Chaldeans, and soothsayers;(KJV-1611) Dan 5:11 Gen yon moun nan peyi ou la ki gen lespri bondye nan syèl yo nan li. Lè papa ou te la, nèg sa a te moutre jan li gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann sou li tankou bondye yo. Lè sa a, papa ou, wa Nèbikadneza, te nonmen l' chèf sou tout divinò, tout majisyen, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:12 ============ Dan 5:12 Forasmuch as an excellent spirit, and knowledge, and understanding, interpreting of dreams, and shewing of hard sentences, and dissolving of doubts, were found in the same Daniel, whom the king named Belteshazzar: now let Daniel be called, and he will shew the interpretation.(KJV-1611) Dan 5:12 Danyèl sa a, papa ou te rele l' Beltechaza. Li te gen yon gwo lespri nan li, anpil konesans ak anpil konprann kifè li te konn esplike rèv ak tout bagay moun pa konprann. Li te jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Fè chache Danyèl sa a, l'a fè ou konnen sa tout bagay sa yo vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 5:13 ============ Dan 5:13 Then was Daniel brought in before the king. And the king spake and said unto Daniel, Art thou that Daniel, which art of the children of the captivity of Judah, whom the king my father brought out of Jewry?(KJV-1611) Dan 5:13 Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li: -Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nèbikadneza, papa m', te depòte soti nan peyi Jida mennen isit la?(Creole-HT) ======= Daniel 5:14 ============ Dan 5:14 I have even heard of thee, that the spirit of the gods is in thee, and that light and understanding and excellent wisdom is found in thee.(KJV-1611) Dan 5:14 Mwen tande ou gen bondye yo avè ou. Ou se yon nonm ki gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann.(Creole-HT) ======= Daniel 5:15 ============ Dan 5:15 And now the wise men, the astrologers, have been brought in before me, that they should read this writing, and make known unto me the interpretation thereof: but they could not shew the interpretation of the thing:(KJV-1611) Dan 5:15 Yo mennen nèg save ak moun ki li zetwal pou yo li sa ki ekri la a, lèfini pou yo fè m' konnen sa li vle di. Men yo pa t' kapab.(Creole-HT) ======= Daniel 5:16 ============ Dan 5:16 And I have heard of thee, that thou canst make interpretations, and dissolve doubts: now if thou canst read the writing, and make known to me the interpretation thereof, thou shalt be clothed with scarlet, and have a chain of gold about thy neck, and shalt be the third ruler in the kingdom.(KJV-1611) Dan 5:16 Koulye a, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.(Creole-HT) ======= Daniel 5:17 ============ Dan 5:17 Then Daniel answered and said before the king, Let thy gifts be to thyself, and give thy rewards to another; yet I will read the writing unto the king, and make known to him the interpretation.(KJV-1611) Dan 5:17 Danyèl reponn wa a: -Ou mèt kenbe kado ou yo pou ou, osinon bay lòt moun yo. Men tout jan, monwa, m'ap li sa ki ekri a pou ou, lèfini m'ap fè ou konnen sa li vle di.(Creole-HT) ======= Daniel 5:18 ============ Dan 5:18 O thou king, the most high God gave Nebuchadnezzar thy father a kingdom, and majesty, and glory, and honour:(KJV-1611) Dan 5:18 Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.(Creole-HT) ======= Daniel 5:19 ============ Dan 5:19 And for the majesty that he gave him, all people, nations, and languages, trembled and feared before him: whom he would he slew; and whom he would he kept alive; and whom he would he set up; and whom he would he put down.(KJV-1611) Dan 5:19 Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.(Creole-HT) ======= Daniel 5:20 ============ Dan 5:20 But when his heart was lifted up, and his mind hardened in pride, he was deposed from his kingly throne, and they took his glory from him:(KJV-1611) Dan 5:20 Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a.(Creole-HT) ======= Daniel 5:21 ============ Dan 5:21 And he was driven from the sons of men; and his heart was made like the beasts, and his dwelling was with the wild asses: they fed him with grass like oxen, and his body was wet with the dew of heaven; till he knew that the most high God ruled in the kingdom of men, and that he appointeth over it whomsoever he will.(KJV-1611) Dan 5:21 Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.(Creole-HT) ======= Daniel 5:22 ============ Dan 5:22 And thou his son, O Belshazzar, hast not humbled thine heart, though thou knewest all this;(KJV-1611) Dan 5:22 Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:23 ============ Dan 5:23 But hast lifted up thyself against the Lord of heaven; and they have brought the vessels of his house before thee, and thou, and thy lords, thy wives, and thy concubines, have drunk wine in them; and thou hast praised the gods of silver, and gold, of brass, iron, wood, and stone, which see not, nor hear, nor know: and the God in whose hand thy breath is, and whose are all thy ways, hast thou not glorified:(KJV-1611) Dan 5:23 Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Daniel 5:24 ============ Dan 5:24 Then was the part of the hand sent from him; and this writing was written.(KJV-1611) Dan 5:24 Se poutèt sa Bondye voye bout men sa a ekri pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:25 ============ Dan 5:25 And this is the writing that was written, MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.(KJV-1611) Dan 5:25 Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe.(Creole-HT) ======= Daniel 5:26 ============ Dan 5:26 This is the interpretation of the thing: MENE; God hath numbered thy kingdom, and finished it.(KJV-1611) Dan 5:26 Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa.(Creole-HT) ======= Daniel 5:27 ============ Dan 5:27 TEKEL; Thou art weighed in the balances, and art found wanting.(KJV-1611) Dan 5:27 Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz.(Creole-HT) ======= Daniel 5:28 ============ Dan 5:28 PERES; Thy kingdom is divided, and given to the Medes and Persians.(KJV-1611) Dan 5:28 Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo.(Creole-HT) ======= Daniel 5:29 ============ Dan 5:29 Then commanded Belshazzar, and they clothed Daniel with scarlet, and put a chain of gold about his neck, and made a proclamation concerning him, that he should be the third ruler in the kingdom.(KJV-1611) Dan 5:29 Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 5:30 ============ Dan 5:30 In that night was Belshazzar the king of the Chaldeans slain.(KJV-1611) Dan 5:30 Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan.(Creole-HT) ======= Daniel 5:31 ============ Dan 5:31 And Darius the Median took the kingdom, being about threescore and two years old.(KJV-1611) Dan 5:31 Epi, Dariyis, moun peyi Medi a, pran pouvwa a. Dariyis te gen swasanndezan sou tèt li lè sa a.(Creole-HT) ======= Daniel 6:1 ============ Dan 6:1 It pleased Darius to set over the kingdom an hundred and twenty princes, which should be over the whole kingdom;(KJV-1611) Dan 6:1 Dariyis deside chwazi sanven prefè li mete chèf nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Daniel 6:2 ============ Dan 6:2 And over these three presidents; of whom Daniel was first: that the princes might give accounts unto them, and the king should have no damage.(KJV-1611) Dan 6:2 Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 6:3 ============ Dan 6:3 Then this Daniel was preferred above the presidents and princes, because an excellent spirit was in him; and the king thought to set him over the whole realm.(KJV-1611) Dan 6:3 Danyèl sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l' reskonsab tout peyi a.(Creole-HT) ======= Daniel 6:4 ============ Dan 6:4 Then the presidents and princes sought to find occasion against Daniel concerning the kingdom; but they could find none occasion nor fault; forasmuch as he was faithful, neither was there any error or fault found in him.(KJV-1611) Dan 6:4 Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.(Creole-HT) ======= Daniel 6:5 ============ Dan 6:5 Then said these men, We shall not find any occasion against this Daniel, except we find it against him concerning the law of his God.(KJV-1611) Dan 6:5 Lè sa a yonn di lòt: -Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l' la.(Creole-HT) ======= Daniel 6:6 ============ Dan 6:6 Then these presidents and princes assembled together to the king, and said thus unto him, King Darius, live for ever.(KJV-1611) Dan 6:6 Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò!(Creole-HT) ======= Daniel 6:7 ============ Dan 6:7 All the presidents of the kingdom, the governors, and the princes, the counsellors, and the captains, have consulted together to establish a royal statute, and to make a firm decree, that whosoever shall ask a petition of any God or man for thirty days, save of thee, O king, he shall be cast into the den of lions.(KJV-1611) Dan 6:7 Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo.(Creole-HT) ======= Daniel 6:8 ============ Dan 6:8 Now, O king, establish the decree, and sign the writing, that it be not changed, according to the law of the Medes and Persians, which altereth not.(KJV-1611) Dan 6:8 Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'.(Creole-HT) ======= Daniel 6:9 ============ Dan 6:9 Wherefore king Darius signed the writing and the decree.(KJV-1611) Dan 6:9 Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.(Creole-HT) ======= Daniel 6:10 ============ Dan 6:10 Now when Daniel knew that the writing was signed, he went into his house; and his windows being open in his chamber toward Jerusalem, he kneeled upon his knees three times a day, and prayed, and gave thanks before his God, as he did aforetime.(KJV-1611) Dan 6:10 Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.(Creole-HT) ======= Daniel 6:11 ============ Dan 6:11 Then these men assembled, and found Daniel praying and making supplication before his God.(KJV-1611) Dan 6:11 Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l' la.(Creole-HT) ======= Daniel 6:12 ============ Dan 6:12 Then they came near, and spake before the king concerning the king's decree; Hast thou not signed a decree, that every man that shall ask a petition of any God or man within thirty days, save of thee, O king, shall be cast into the den of lions? The king answered and said, The thing is true, according to the law of the Medes and Persians, which altereth not.(KJV-1611) Dan 6:12 Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.(Creole-HT) ======= Daniel 6:13 ============ Dan 6:13 Then answered they and said before the king, That Daniel, which is of the children of the captivity of Judah, regardeth not thee, O king, nor the decree that thou hast signed, but maketh his petition three times a day.(KJV-1611) Dan 6:13 Lè sa a, mesye yo di wa a: -Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l'!(Creole-HT) ======= Daniel 6:14 ============ Dan 6:14 Then the king, when he heard these words, was sore displeased with himself, and set his heart on Daniel to deliver him: and he laboured till the going down of the sun to deliver him.(KJV-1611) Dan 6:14 Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl.(Creole-HT) ======= Daniel 6:15 ============ Dan 6:15 Then these men assembled unto the king, and said unto the king, Know, O king, that the law of the Medes and Persians is, That no decree nor statute which the king establisheth may be changed.(KJV-1611) Dan 6:15 Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l': -Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.(Creole-HT) ======= Daniel 6:16 ============ Dan 6:16 Then the king commanded, and they brought Daniel, and cast him into the den of lions. Now the king spake and said unto Daniel, Thy God whom thou servest continually, he will deliver thee.(KJV-1611) Dan 6:16 Se konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l' nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa: -Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!(Creole-HT) ======= Daniel 6:17 ============ Dan 6:17 And a stone was brought, and laid upon the mouth of the den; and the king sealed it with his own signet, and with the signet of his lords; that the purpose might not be changed concerning Daniel.(KJV-1611) Dan 6:17 Yo pote yon gwo wòch. Yo mete l' anwo bouch twou a pou fèmen l'. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l' ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pesonn pa ta ka vin sove Danyèl.(Creole-HT) ======= Daniel 6:18 ============ Dan 6:18 Then the king went to his palace, and passed the night fasting: neither were instruments of musick brought before him: and his sleep went from him.(KJV-1611) Dan 6:18 Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache ankenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l' pa fèmen je l'.(Creole-HT) ======= Daniel 6:19 ============ Dan 6:19 Then the king arose very early in the morning, and went in haste unto the den of lions.(KJV-1611) Dan 6:19 Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an.(Creole-HT) ======= Daniel 6:20 ============ Dan 6:20 And when he came to the den, he cried with a lamentable voice unto Daniel: and the king spake and said to Daniel, O Daniel, servant of the living God, is thy God, whom thou servest continually, able to deliver thee from the lions?(KJV-1611) Dan 6:20 Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?(Creole-HT) ======= Daniel 6:21 ============ Dan 6:21 Then said Daniel unto the king, O king, live for ever.(KJV-1611) Dan 6:21 Danyèl pale, li di wa a: -Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò!(Creole-HT) ======= Daniel 6:22 ============ Dan 6:22 My God hath sent his angel, and hath shut the lions' mouths, that they have not hurt me: forasmuch as before him innocency was found in me; and also before thee, O king, have I done no hurt.(KJV-1611) Dan 6:22 Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?(Creole-HT) ======= Daniel 6:23 ============ Dan 6:23 Then was the king exceedingly glad for him, and commanded that they should take Daniel up out of the den. So Daniel was taken up out of the den, and no manner of hurt was found upon him, because he believed in his God.(KJV-1611) Dan 6:23 Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.(Creole-HT) ======= Daniel 6:24 ============ Dan 6:24 And the king commanded, and they brought those men which had accused Daniel, and they cast them into the den of lions, them, their children, and their wives; and the lions had the mastery of them, and brake all their bones in pieces or ever they came at the bottom of the den.(KJV-1611) Dan 6:24 Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.(Creole-HT) ======= Daniel 6:25 ============ Dan 6:25 Then king Darius wrote unto all people, nations, and languages, that dwell in all the earth; Peace be multiplied unto you.(KJV-1611) Dan 6:25 Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze!(Creole-HT) ======= Daniel 6:26 ============ Dan 6:26 I make a decree, That in every dominion of my kingdom men tremble and fear before the God of Daniel: for he is the living God, and stedfast for ever, and his kingdom that which shall not be destroyed, and his dominion shall be even unto the end.(KJV-1611) Dan 6:26 Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Daniel 6:27 ============ Dan 6:27 He delivereth and rescueth, and he worketh signs and wonders in heaven and in earth, who hath delivered Daniel from the power of the lions.(KJV-1611) Dan 6:27 Li sove, li delivre, li fè bèl bagay ak gwo mirak nan syèl la ak sou latè. Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l'!(Creole-HT) ======= Daniel 6:28 ============ Dan 6:28 So this Daniel prospered in the reign of Darius, and in the reign of Cyrus the Persian.(KJV-1611) Dan 6:28 Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.(Creole-HT) ======= Daniel 7:1 ============ Dan 7:1 In the first year of Belshazzar king of Babylon Daniel had a dream and visions of his head upon his bed: then he wrote the dream, and told the sum of the matters.(KJV-1611) Dan 7:1 Nan menm lanne Bèlchaza te moute wa peyi Babilòn, Danyèl fè yon rèv, li wè yon vizyon antan li t'ap dòmi sou kabann li. Apre sa, li kouche tou sa li te wè nan rèv la sou papye. Men sa li te ekri a:(Creole-HT) ======= Daniel 7:2 ============ Dan 7:2 Daniel spake and said, I saw in my vision by night, and, behold, the four winds of the heaven strove upon the great sea.(KJV-1611) Dan 7:2 -Jou lannwit sa a, mwen fè yon vizyon. Mwen wè kat gwo van yo t'ap soufle, yo t'ap boulvèse gwo lanmè a.(Creole-HT) ======= Daniel 7:3 ============ Dan 7:3 And four great beasts came up from the sea, diverse one from another.(KJV-1611) Dan 7:3 Kat gwo bèt moute soti nan lanmè a, yonn pa t' sanble lòt.(Creole-HT) ======= Daniel 7:4 ============ Dan 7:4 The first was like a lion, and had eagle's wings: I beheld till the wings thereof were plucked, and it was lifted up from the earth, and made stand upon the feet as a man, and a man's heart was given to it.(KJV-1611) Dan 7:4 Premye bèt la te sanble ak yon lyon, men li te gen de gwo zèl tankou malfini. Antan m'ap gade l' konsa, yo rache zèl li yo. Yo leve l', yo fè l' kanpe tankou yon moun sou pa t' dèyè l' yo. Lèfini, yo fè li gen lespri tankou moun.(Creole-HT) ======= Daniel 7:5 ============ Dan 7:5 And behold another beast, a second, like to a bear, and it raised up itself on one side, and it had three ribs in the mouth of it between the teeth of it: and they said thus unto it, Arise, devour much flesh.(KJV-1611) Dan 7:5 Dezyèm bèt la te sanble ak yon lous ki te kanpe panche sou yon bò. Li te gen twa zo kòt nan bouch li. Yon vwa pale avè l', li di l' konsa: -Annou wè! Manje vyann mezi ou kapab.(Creole-HT) ======= Daniel 7:6 ============ Dan 7:6 After this I beheld, and lo another, like a leopard, which had upon the back of it four wings of a fowl; the beast had also four heads; and dominion was given to it.(KJV-1611) Dan 7:6 Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwezo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.(Creole-HT) ======= Daniel 7:7 ============ Dan 7:7 After this I saw in the night visions, and behold a fourth beast, dreadful and terrible, and strong exceedingly; and it had great iron teeth: it devoured and brake in pieces, and stamped the residue with the feet of it: and it was diverse from all the beasts that were before it; and it had ten horns.(KJV-1611) Dan 7:7 Antan m'ap gade toujou nan vizyon mwen t'ap fè jou lannwit sa a, yon katriyèm bèt parèt. Li te sovaj anpil. Depi ou gade l' se pou ou pè. Li te gen anpil fòs avèk gwo dan an fè. Li t'ap manje tou sa ki tonbe anba bouch li, li kraze yo ak dan li, li pilonnen rès la anba pye l'. Li pa t' sanble menm ak twa lòt bèt ki te parèt anvan l' yo. Li te gen dis kòn.(Creole-HT) ======= Daniel 7:8 ============ Dan 7:8 I considered the horns, and, behold, there came up among them another little horn, before whom there were three of the first horns plucked up by the roots: and, behold, in this horn were eyes like the eyes of man, and a mouth speaking great things.(KJV-1611) Dan 7:8 Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.(Creole-HT) ======= Daniel 7:9 ============ Dan 7:9 I beheld till the thrones were cast down, and the Ancient of days did sit, whose garment was white as snow, and the hair of his head like the pure wool: his throne was like the fiery flame, and his wheels as burning fire.(KJV-1611) Dan 7:9 Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.(Creole-HT) ======= Daniel 7:10 ============ Dan 7:10 A fiery stream issued and came forth from before him: thousand thousands ministered unto him, and ten thousand times ten thousand stood before him: the judgment was set, and the books were opened.(KJV-1611) Dan 7:10 Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:11 ============ Dan 7:11 I beheld then because of the voice of the great words which the horn spake: I beheld even till the beast was slain, and his body destroyed, and given to the burning flame.(KJV-1611) Dan 7:11 Antan mwen t'ap gade, mwen tande vwa ti kòn lan ki t'ap pale byen fò avèk awogans. Antan m'ap gade konsa, yo touye katriyèm bèt la, yo pran kadav li, yo voye l' nan dife a, li boule nèt.(Creole-HT) ======= Daniel 7:12 ============ Dan 7:12 As concerning the rest of the beasts, they had their dominion taken away: yet their lives were prolonged for a season and time.(KJV-1611) Dan 7:12 Yo wete tout otorite nan men lòt bèt yo, men yo kite yo vivan pou yon ti tan ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 7:13 ============ Dan 7:13 I saw in the night visions, and, behold, one like the Son of man came with the clouds of heaven, and came to the Ancient of days, and they brought him near before him.(KJV-1611) Dan 7:13 Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.(Creole-HT) ======= Daniel 7:14 ============ Dan 7:14 And there was given him dominion, and glory, and a kingdom, that all people, nations, and languages, should serve him: his dominion is an everlasting dominion, which shall not pass away, and his kingdom that which shall not be destroyed.(KJV-1611) Dan 7:14 Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Daniel 7:15 ============ Dan 7:15 I Daniel was grieved in my spirit in the midst of my body, and the visions of my head troubled me.(KJV-1611) Dan 7:15 Mwen menm Danyèl, lè m' wè tout bagay sa yo, tèt mwen te boulvèse. Vizyon yo te fè m' pè anpil.(Creole-HT) ======= Daniel 7:16 ============ Dan 7:16 I came near unto one of them that stood by, and asked him the truth of all this. So he told me, and made me know the interpretation of the things.(KJV-1611) Dan 7:16 Mwen pwoche bò yonn nan moun ki te kanpe la yo, mwen mande l' pou l' fè m' konprann tout bagay sa yo. Se konsa li esplike m' yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:17 ============ Dan 7:17 These great beasts, which are four, are four kings, which shall arise out of the earth.(KJV-1611) Dan 7:17 Li di m' konsa: -Kat gwo bèt sa yo, se kat wa ki gen pou parèt sou latè.(Creole-HT) ======= Daniel 7:18 ============ Dan 7:18 But the saints of the most High shall take the kingdom, and possess the kingdom for ever, even for ever and ever.(KJV-1611) Dan 7:18 Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Daniel 7:19 ============ Dan 7:19 Then I would know the truth of the fourth beast, which was diverse from all the others, exceeding dreadful, whose teeth were of iron, and his nails of brass; which devoured, brake in pieces, and stamped the residue with his feet;(KJV-1611) Dan 7:19 Apre sa, mwen te vle konnen plis sou katriyèm bèt la ki pa t' tankou twa premye yo, bèt ki te move anpil la, avèk dan an fè l' yo ak grif an kwiv li yo, bèt ki t'ap manje tou sa ki te tonbe anba bouch li, ki t'ap kraze yo ak dan l', ki t'ap pilonnen rès yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= Daniel 7:20 ============ Dan 7:20 And of the ten horns that were in his head, and of the other which came up, and before whom three fell; even of that horn that had eyes, and a mouth that spake very great things, whose look was more stout than his fellows.(KJV-1611) Dan 7:20 Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:21 ============ Dan 7:21 I beheld, and the same horn made war with the saints, and prevailed against them;(KJV-1611) Dan 7:21 Antan m'ap gade konsa, mwen wè ti kòn lan pran fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo. Li fè yo soumèt devan li.(Creole-HT) ======= Daniel 7:22 ============ Dan 7:22 Until the Ancient of days came, and judgment was given to the saints of the most High; and the time came that the saints possessed the kingdom.(KJV-1611) Dan 7:22 Lè sa a, granmoun ki te la depi nan konmansman an parèt. Li rann jijman an favè moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Jou a te rive pou pèp Bondye a te resevwa pouvwa a nan men yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:23 ============ Dan 7:23 Thus he said, The fourth beast shall be the fourth kingdom upon earth, which shall be diverse from all kingdoms, and shall devour the whole earth, and shall tread it down, and break it in pieces.(KJV-1611) Dan 7:23 Men esplikasyon moun lan te ban mwen: -Katriyèm bèt la, se katriyèm gouvènman ki pral gen sou latè. Li p'ap tankou lòt yo. Li pral devore tout moun sou latè, l'ap pilonnen yo anba pye l', l'ap kraze yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:24 ============ Dan 7:24 And the ten horns out of this kingdom are ten kings that shall arise: and another shall rise after them; and he shall be diverse from the first, and he shall subdue three kings.(KJV-1611) Dan 7:24 Dis kòn yo, se dis wa ki pral alatèt gouvènman sa a. Apre yo, ap gen yon lòt wa ki p'ap tankou lòt yo. L'ap jete twa nan wa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 7:25 ============ Dan 7:25 And he shall speak great words against the most High, and shall wear out the saints of the most High, and think to change times and laws: and they shall be given into his hand until a time and times and the dividing of time.(KJV-1611) Dan 7:25 L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.(Creole-HT) ======= Daniel 7:26 ============ Dan 7:26 But the judgment shall sit, and they shall take away his dominion, to consume and to destroy it unto the end.(KJV-1611) Dan 7:26 Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l', l'ap kraze l' nèt, li p'ap janm chèf ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 7:27 ============ Dan 7:27 And the kingdom and dominion, and the greatness of the kingdom under the whole heaven, shall be given to the people of the saints of the most High, whose kingdom is an everlasting kingdom, and all dominions shall serve and obey him.(KJV-1611) Dan 7:27 Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.(Creole-HT) ======= Daniel 7:28 ============ Dan 7:28 Hitherto is the end of the matter. As for me Daniel, my cogitations much troubled me, and my countenance changed in me: but I kept the matter in my heart.(KJV-1611) Dan 7:28 Se tou sa li te rakonte m'. Mwen menm Danyèl, mwen te boulvèse anpil, mwen chanje koulè. Mwen kenbe tout bagay sa yo nan kè m'.(Creole-HT) ======= Daniel 8:1 ============ Dan 8:1 In the third year of the reign of king Belshazzar a vision appeared unto me, even unto me Daniel, after that which appeared unto me at the first.(KJV-1611) Dan 8:1 Mwen menm Danyèl, mwen fè yon lòt vizyon ankò apre premye vizyon sa a. Lè sa a, Bèlchaza t'ap mache sou twazan depi li te wa.(Creole-HT) ======= Daniel 8:2 ============ Dan 8:2 And I saw in a vision; and it came to pass, when I saw, that I was at Shushan in the palace, which is in the province of Elam; and I saw in a vision, and I was by the river of Ulai.(KJV-1611) Dan 8:2 Nan vizyon an, mwen wè mwen te lavil Souz, kapital la ki nan pwovens Elam lan. Mwen te kanpe bò larivyè Oulayi.(Creole-HT) ======= Daniel 8:3 ============ Dan 8:3 Then I lifted up mine eyes, and saw, and, behold, there stood before the river a ram which had two horns: and the two horns were high; but one was higher than the other, and the higher came up last.(KJV-1611) Dan 8:3 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon belye mouton ki te kanpe bò larivyè a. Li te gen de kòn byen long ki pa t' pouse menm lè. Sa ki te pouse apre a te pi long pase premye a.(Creole-HT) ======= Daniel 8:4 ============ Dan 8:4 I saw the ram pushing westward, and northward, and southward; so that no beasts might stand before him, neither was there any that could deliver out of his hand; but he did according to his will, and became great.(KJV-1611) Dan 8:4 Mwen wè belye mouton an t'ap bay kout kòn nan direksyon solèy kouche, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pat gen yon bèt ki te ka kenbe tèt avè l'. Ni pa t' gen pesonn pou wete yo anba pat li. Li t'ap fè sa l' pito. Chak lè, li t'ap vin pi awogan.(Creole-HT) ======= Daniel 8:5 ============ Dan 8:5 And as I was considering, behold, an he goat came from the west on the face of the whole earth, and touched not the ground: and the goat had a notable horn between his eyes.(KJV-1611) Dan 8:5 Antan mwen t'ap chache konprann sa sa te vle di, mwen wè yon bouk kabrit k'ap kouri vin soti bò solèy kouche. Li t'ap kouri sitèlman vit, pye l' pa t' touche tè. Li te gen yon sèl gwo kòn nan mitan de je l' yo.(Creole-HT) ======= Daniel 8:6 ============ Dan 8:6 And he came to the ram that had two horns, which I had seen standing before the river, and ran unto him in the fury of his power.(KJV-1611) Dan 8:6 Li mache sou belye mouton mwen te wè kanpe bò larivyè a ak de kòn lan. Li vare sou li ak tout fòs.(Creole-HT) ======= Daniel 8:7 ============ Dan 8:7 And I saw him come close unto the ram, and he was moved with choler against him, and smote the ram, and brake his two horns: and there was no power in the ram to stand before him, but he cast him down to the ground, and stamped upon him: and there was none that could deliver the ram out of his hand.(KJV-1611) Dan 8:7 Mwen wè l' atake belye mouton an. Li move sou li, li frape l', li kase de kòn li yo. Belye mouton an pa t' gen fòs pou kenbe tèt ak li. Bouk kabrit la jete l' atè, li pilonnen l' anba pye l'. Pat gen pesonn pou wete belye a anba pat bouk kabrit la.(Creole-HT) ======= Daniel 8:8 ============ Dan 8:8 Therefore the he goat waxed very great: and when he was strong, the great horn was broken; and for it came up four notable ones toward the four winds of heaven.(KJV-1611) Dan 8:8 Bouk kabrit la konmanse grandi, li vin awogan anpil. Lè li fin chita pouvwa li byen chita, gwo kòn li an kase. Kat lòt gwo kòn pouse nan plas premye a, yo chak t'ap pwente nan direksyon kat gwo van yo.(Creole-HT) ======= Daniel 8:9 ============ Dan 8:9 And out of one of them came forth a little horn, which waxed exceeding great, toward the south, and toward the east, and toward the pleasant land.(KJV-1611) Dan 8:9 Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.(Creole-HT) ======= Daniel 8:10 ============ Dan 8:10 And it waxed great, even to the host of heaven; and it cast down some of the host and of the stars to the ground, and stamped upon them.(KJV-1611) Dan 8:10 Li grandi toujou, jouk li rive atake lame ki nan syèl la, zetwal yo menm. Li jete kèk ladan yo sou latè, li pilonnen yo anba pye l'.(Creole-HT) ======= Daniel 8:11 ============ Dan 8:11 Yea, he magnified himself even to the prince of the host, and by him the daily sacrifice was taken away, and the place of the sanctuary was cast down.(KJV-1611) Dan 8:11 Li grandi, li menm rive atake chèf lame ki nan syèl la, li fè yo sispann ofri bèt pou touye pou li. Li fè kraze Tanp yo te mete apa pou li a.(Creole-HT) ======= Daniel 8:12 ============ Dan 8:12 And an host was given him against the daily sacrifice by reason of transgression, and it cast down the truth to the ground; and it practised, and prospered.(KJV-1611) Dan 8:12 Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè.(Creole-HT) ======= Daniel 8:13 ============ Dan 8:13 Then I heard one saint speaking, and another saint said unto that certain saint which spake, How long shall be the vision concerning the daily sacrifice, and the transgression of desolation, to give both the sanctuary and the host to be trodden under foot?(KJV-1611) Dan 8:13 Apre sa, mwen tande yon zanj pale ak yon lòt zanj, li di li: -Kilè sa yo bay nan vizyon an va rive? Kilè y'a sispann fè gwo peche sa a nan plas ofrann bèt ki pou fèt chak jou a? Kilè y'a sispann pilonnen lame ki nan syèl la ak tanp Bondye a anba pye yo?(Creole-HT) ======= Daniel 8:14 ============ Dan 8:14 And he said unto me, Unto two thousand and three hundred days; then shall the sanctuary be cleansed.(KJV-1611) Dan 8:14 Lòt zanj lan reponn: -Se pou nou tann mil sansenkant jou ankò pase anvan yo rekonmanse ak ofrann bèt pou Bondye yo. Se lè sa a Bondye va rebati tanp li a ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 8:15 ============ Dan 8:15 And it came to pass, when I, even I Daniel, had seen the vision, and sought for the meaning, then, behold, there stood before me as the appearance of a man.(KJV-1611) Dan 8:15 Mwen t'ap chache konprann sa vizyon an te vle di, lè mwen rete konsa mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun kanpe devan m'.(Creole-HT) ======= Daniel 8:16 ============ Dan 8:16 And I heard a man's voice between the banks of Ulai, which called, and said, Gabriel, make this man to understand the vision.(KJV-1611) Dan 8:16 Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non!(Creole-HT) ======= Daniel 8:17 ============ Dan 8:17 So he came near where I stood: and when he came, I was afraid, and fell upon my face: but he said unto me, Understand, O son of man: for at the time of the end shall be the vision.(KJV-1611) Dan 8:17 Gabriyèl pwoche bò kote m' te ye a. Mwen te sitèlman pè mwen tonbe fas atè. Li di m' konsa: -Nonm o! Konprann byen: Vizyon an fè ou konnen ki jan sa pral fini sou latè.(Creole-HT) ======= Daniel 8:18 ============ Dan 8:18 Now as he was speaking with me, I was in a deep sleep on my face toward the ground: but he touched me, and set me upright.(KJV-1611) Dan 8:18 Pandan li t'ap pale konsa, mwen pèdi konesans, mwen tonbe fas atè. Men, li ban m' men, li fè m' kanpe sou pye m' ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 8:19 ============ Dan 8:19 And he said, Behold, I will make thee know what shall be in the last end of the indignation: for at the time appointed the end shall be.(KJV-1611) Dan 8:19 Epi li di: -M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive.(Creole-HT) ======= Daniel 8:20 ============ Dan 8:20 The ram which thou sawest having two horns are the kings of Media and Persia.(KJV-1611) Dan 8:20 Belye mouton ou te wè ak de gwo kòn nan tèt li a, se de wa k'ap gouvènen de peyi, peyi Medi ak peyi Pès.(Creole-HT) ======= Daniel 8:21 ============ Dan 8:21 And the rough goat is the king of Grecia: and the great horn that is between his eyes is the first king.(KJV-1611) Dan 8:21 Bouk kabrit la menm se wa peyi Lagrès la. Gwo kòn ou te wè nan mitan je l' yo se te premye wa a.(Creole-HT) ======= Daniel 8:22 ============ Dan 8:22 Now that being broken, whereas four stood up for it, four kingdoms shall stand up out of the nation, but not in his power.(KJV-1611) Dan 8:22 Kat kòn ou wè ki te pouse apre premye kòn lan te kase a, sa vle di gen kat moun ki pral separe peyi a. Yo chak pral gouvènen bò pa yo. Men, peyi a p'ap janm gen menm fòs la ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 8:23 ============ Dan 8:23 And in the latter time of their kingdom, when the transgressors are come to the full, a king of fierce countenance, and understanding dark sentences, shall stand up.(KJV-1611) Dan 8:23 Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun.(Creole-HT) ======= Daniel 8:24 ============ Dan 8:24 And his power shall be mighty, but not by his own power: and he shall destroy wonderfully, and shall prosper, and practise, and shall destroy the mighty and the holy people.(KJV-1611) Dan 8:24 L'ap grandi, l'ap vin fò. Men se pa fòs pa l' menm k'ap sou li. L'ap fè anpil dega. L'a reyisi nan tou sa l'ap fè. L'a kraze anpil gwo chèf ansanm ak anpil moun nan pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Daniel 8:25 ============ Dan 8:25 And through his policy also he shall cause craft to prosper in his hand; and he shall magnify himself in his heart, and by peace shall destroy many: he shall also stand up against the Prince of princes; but he shall be broken without hand.(KJV-1611) Dan 8:25 L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Daniel 8:26 ============ Dan 8:26 And the vision of the evening and the morning which was told is true: wherefore shut thou up the vision; for it shall be for many days.(KJV-1611) Dan 8:26 Vizyon ou te fè pou maten ak aswè yo gen pou rive vre jan yo te esplike ou li a. Men, pa di anyen sou sa, paske l'ap pran yon bon ti tan anvan li rive vre.(Creole-HT) ======= Daniel 8:27 ============ Dan 8:27 And I Daniel fainted, and was sick certain days; afterward I rose up, and did the king's business; and I was astonished at the vision, but none understood it.(KJV-1611) Dan 8:27 Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li.(Creole-HT) ======= Daniel 9:1 ============ Dan 9:1 In the first year of Darius the son of Ahasuerus, of the seed of the Medes, which was made king over the realm of the Chaldeans;(KJV-1611) Dan 9:1 Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t'ap mache sou ennan depi li t'ap gouvènen peyi Babilòn.(Creole-HT) ======= Daniel 9:2 ============ Dan 9:2 In the first year of his reign I Daniel understood by books the number of the years, whereof the word of the LORD came to Jeremiah the prophet, that he would accomplish seventy years in the desolations of Jerusalem.(KJV-1611) Dan 9:2 Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l' rete kraze a, jan Seyè a te di l' nan bouch pwofèt Jeremi an.(Creole-HT) ======= Daniel 9:3 ============ Dan 9:3 And I set my face unto the Lord God, to seek by prayer and supplications, with fasting, and sackcloth, and ashes:(KJV-1611) Dan 9:3 Mwen leve je m' nan syèl la pou m' lapriyè Seyè a, Bondye a, ak tout kè m'. Mwen t'ap kriye nan pye l', mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.(Creole-HT) ======= Daniel 9:4 ============ Dan 9:4 And I prayed unto the LORD my God, and made my confession, and said, O Lord, the great and dreadful God, keeping the covenant and mercy to them that love him, and to them that keep his commandments;(KJV-1611) Dan 9:4 Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.(Creole-HT) ======= Daniel 9:5 ============ Dan 9:5 We have sinned, and have committed iniquity, and have done wickedly, and have rebelled, even by departing from thy precepts and from thy judgments:(KJV-1611) Dan 9:5 Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.(Creole-HT) ======= Daniel 9:6 ============ Dan 9:6 Neither have we hearkened unto thy servants the prophets, which spake in thy name to our kings, our princes, and our fathers, and to all the people of the land.(KJV-1611) Dan 9:6 Nou pa t' koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an.(Creole-HT) ======= Daniel 9:7 ============ Dan 9:7 O LORD, righteousness belongeth unto thee, but unto us confusion of faces, as at this day; to the men of Judah, and to the inhabitants of Jerusalem, and unto all Israel, that are near, and that are far off, through all the countries whither thou hast driven them, because of their trespass that they have trespassed against thee.(KJV-1611) Dan 9:7 Ou menm, Seyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pa t' kenbe pawòl nou avè ou.(Creole-HT) ======= Daniel 9:8 ============ Dan 9:8 O Lord, to us belongeth confusion of face, to our kings, to our princes, and to our fathers, because we have sinned against thee.(KJV-1611) Dan 9:8 Wi, Seyè, se yon wont pou nou tout, wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo, paske nou te fè sa ki mal devan ou.(Creole-HT) ======= Daniel 9:9 ============ Dan 9:9 To the Lord our God belong mercies and forgivenesses, though we have rebelled against him;(KJV-1611) Dan 9:9 Ou menm Seyè, Bondye nou, ou gen bon kè, ou konn padonnen paske nou menm nou te vire do ba ou.(Creole-HT) ======= Daniel 9:10 ============ Dan 9:10 Neither have we obeyed the voice of the LORD our God, to walk in his laws, which he set before us by his servants the prophets.(KJV-1611) Dan 9:10 Nou pa t' koute ou, Seyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo.(Creole-HT) ======= Daniel 9:11 ============ Dan 9:11 Yea, all Israel have transgressed thy law, even by departing, that they might not obey thy voice; therefore the curse is poured upon us, and the oath that is written in the law of Moses the servant of God, because we have sinned against him.(KJV-1611) Dan 9:11 Tout pèp Izrayèl la nèt pa t' swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou.(Creole-HT) ======= Daniel 9:12 ============ Dan 9:12 And he hath confirmed his words, which he spake against us, and against our judges that judged us, by bringing upon us a great evil: for under the whole heaven hath not been done as hath been done upon Jerusalem.(KJV-1611) Dan 9:12 Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki patko janm rive sou latè.(Creole-HT) ======= Daniel 9:13 ============ Dan 9:13 As it is written in the law of Moses, all this evil is come upon us: yet made we not our prayer before the LORD our God, that we might turn from our iniquities, and understand thy truth.(KJV-1611) Dan 9:13 Jan sa te ekri nan liv lalwa Moyiz la, tout malè sa a tonbe sou nou. Men, menm apre sa, nou pa t' chache fè ou plezi, Seyè Bondye nou. Nou pa t' sispann fè sa ki mal pou nou te swiv verite ou la.(Creole-HT) ======= Daniel 9:14 ============ Dan 9:14 Therefore hath the LORD watched upon the evil, and brought it upon us: for the LORD our God is righteous in all his works which he doeth: for we obeyed not his voice.(KJV-1611) Dan 9:14 Wi, Seyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou.(Creole-HT) ======= Daniel 9:15 ============ Dan 9:15 And now, O Lord our God, that hast brought thy people forth out of the land of Egypt with a mighty hand, and hast gotten thee renown, as at this day; we have sinned, we have done wickedly.(KJV-1611) Dan 9:15 Koulye a, Seyè Bondye nou, ou te fè pèp ou a soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y'ap nonmen non ou pou sa. Men, nou menm nou peche, nou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Daniel 9:16 ============ Dan 9:16 O LORD, according to all thy righteousness, I beseech thee, let thine anger and thy fury be turned away from thy city Jerusalem, thy holy mountain: because for our sins, and for the iniquities of our fathers, Jerusalem and thy people are become a reproach to all that are about us.(KJV-1611) Dan 9:16 Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.(Creole-HT) ======= Daniel 9:17 ============ Dan 9:17 Now therefore, O our God, hear the prayer of thy servant, and his supplications, and cause thy face to shine upon thy sanctuary that is desolate, for the Lord's sake.(KJV-1611) Dan 9:17 O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye.(Creole-HT) ======= Daniel 9:18 ============ Dan 9:18 O my God, incline thine ear, and hear; open thine eyes, and behold our desolations, and the city which is called by thy name: for we do not present our supplications before thee for our righteousnesses, but for thy great mercies.(KJV-1611) Dan 9:18 O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil.(Creole-HT) ======= Daniel 9:19 ============ Dan 9:19 O Lord, hear; O Lord, forgive; O Lord, hearken and do; defer not, for thine own sake, O my God: for thy city and thy people are called by thy name.(KJV-1611) Dan 9:19 Seyè, koute nou non! Seyè, padonnen nou! Seyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Daniel 9:20 ============ Dan 9:20 And whiles I was speaking, and praying, and confessing my sin and the sin of my people Israel, and presenting my supplication before the LORD my God for the holy mountain of my God;(KJV-1611) Dan 9:20 Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m' yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Seyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Daniel 9:21 ============ Dan 9:21 Yea, whiles I was speaking in prayer, even the man Gabriel, whom I had seen in the vision at the beginning, being caused to fly swiftly, touched me about the time of the evening oblation.(KJV-1611) Dan 9:21 Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.(Creole-HT) ======= Daniel 9:22 ============ Dan 9:22 And he informed me, and talked with me, and said, O Daniel, I am now come forth to give thee skill and understanding.(KJV-1611) Dan 9:22 Li vini, li pale avè m'. Li di m' konsa: -Danyèl, koulye a mwen vin la a pou m' ede ou konprann mesaj la.(Creole-HT) ======= Daniel 9:23 ============ Dan 9:23 At the beginning of thy supplications the commandment came forth, and I am come to shew thee; for thou art greatly beloved: therefore understand the matter, and consider the vision.(KJV-1611) Dan 9:23 Depi lè ou te fèk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gen tan reponn ou. Se mesaj sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Koulye a, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.(Creole-HT) ======= Daniel 9:24 ============ Dan 9:24 Seventy weeks are determined upon thy people and upon thy holy city, to finish the transgression, and to make an end of sins, and to make reconciliation for iniquity, and to bring in everlasting righteousness, and to seal up the vision and prophecy, and to anoint the most Holy.(KJV-1611) Dan 9:24 Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l' delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesaj pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 9:25 ============ Dan 9:25 Know therefore and understand, that from the going forth of the commandment to restore and to build Jerusalem unto the Messiah the Prince shall be seven weeks, and threescore and two weeks: the street shall be built again, and the wall, even in troublous times.(KJV-1611) Dan 9:25 Konprann sa byen, louvri zòrèy ou. Depi lè yo te bay lòd pou yo te rebati Jerizalèm lan jouk lè chèf Bondye chwazi a va vini an, sèt fwa sètan pral pase. Yo pral rebati Jerizalèm avèk wout li yo ak miray ranpa li yo. Lavil la pral kanpe pou sèt fwa swasanndezan, men pandan tout tan sa a, moun pral anba anpil tray.(Creole-HT) ======= Daniel 9:26 ============ Dan 9:26 And after threescore and two weeks shall Messiah be cut off, but not for himself: and the people of the prince that shall come shall destroy the city and the sanctuary; and the end thereof shall be with a flood, and unto the end of the war desolations are determined.(KJV-1611) Dan 9:26 Apre sèt fwa swasanndezan sa yo, yo pral touye chèf Bondye te chwazi a san rezon. Yon lòt chèf ap vini sot byen lwen, l'ap detwi lavil la ansanm ak Tanp lan. Tout bagay pral rete konsa, y'ap fini tankou lè gwo dlo desann. Lè sa a, pral gen lagè ak ravaj jan Bondye te pare l' la.(Creole-HT) ======= Daniel 9:27 ============ Dan 9:27 And he shall confirm the covenant with many for one week: and in the midst of the week he shall cause the sacrifice and the oblation to cease, and for the overspreading of abominations he shall make it desolate, even until the consummation, and that determined shall be poured upon the desolate.(KJV-1611) Dan 9:27 Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.(Creole-HT) ======= Daniel 10:1 ============ Dan 10:1 In the third year of Cyrus king of Persia a thing was revealed unto Daniel, whose name was called Belteshazzar; and the thing was true, but the time appointed was long: and he understood the thing, and had understanding of the vision.(KJV-1611) Dan 10:1 Siris t'ap mache sou twazan depi l' te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l' konprann mesaj la.(Creole-HT) ======= Daniel 10:2 ============ Dan 10:2 In those days I Daniel was mourning three full weeks.(KJV-1611) Dan 10:2 Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Daniel 10:3 ============ Dan 10:3 I ate no pleasant bread, neither came flesh nor wine in my mouth, neither did I anoint myself at all, till three whole weeks were fulfilled.(KJV-1611) Dan 10:3 Mwen pa t' manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t' mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t' pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 10:4 ============ Dan 10:4 And in the four and twentieth day of the first month, as I was by the side of the great river, which is Hiddekel;(KJV-1611) Dan 10:4 Sou vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Daniel 10:5 ============ Dan 10:5 Then I lifted up mine eyes, and looked, and behold a certain man clothed in linen, whose loins were girded with fine gold of Uphaz:(KJV-1611) Dan 10:5 Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'.(Creole-HT) ======= Daniel 10:6 ============ Dan 10:6 His body also was like the beryl, and his face as the appearance of lightning, and his eyes as lamps of fire, and his arms and his feet like in colour to polished brass, and the voice of his words like the voice of a multitude.(KJV-1611) Dan 10:6 Kò l' te klere tankou yon wòch poli. Figi l' te tankou zèklè. Je l' yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l' ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l' pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t'ap pale ansanm.(Creole-HT) ======= Daniel 10:7 ============ Dan 10:7 And I Daniel alone saw the vision: for the men that were with me saw not the vision; but a great quaking fell upon them, so that they fled to hide themselves.(KJV-1611) Dan 10:7 Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.(Creole-HT) ======= Daniel 10:8 ============ Dan 10:8 Therefore I was left alone, and saw this great vision, and there remained no strength in me: for my comeliness was turned in me into corruption, and I retained no strength.(KJV-1611) Dan 10:8 Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t'ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m' pa t' gen fòs menm, figi m' te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.(Creole-HT) ======= Daniel 10:9 ============ Dan 10:9 Yet heard I the voice of his words: and when I heard the voice of his words, then was I in a deep sleep on my face, and my face toward the ground.(KJV-1611) Dan 10:9 Lè m' tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans.(Creole-HT) ======= Daniel 10:10 ============ Dan 10:10 And, behold, an hand touched me, which set me upon my knees and upon the palms of my hands.(KJV-1611) Dan 10:10 Apre sa, mwen santi yon men manyen m', li fè m' leve sou pla men m' ak sou jenou m'. M' t'ap tranble toujou.(Creole-HT) ======= Daniel 10:11 ============ Dan 10:11 And he said unto me, O Daniel, a man greatly beloved, understand the words that I speak unto thee, and stand upright: for unto thee am I now sent. And when he had spoken this word unto me, I stood trembling.(KJV-1611) Dan 10:11 Zanj lan di m' konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m' kote ou. Lè li fin di m' sa, mwen leve kanpe, men m' t'ap tranble toujou.(Creole-HT) ======= Daniel 10:12 ============ Dan 10:12 Then said he unto me, Fear not, Daniel: for from the first day that thou didst set thine heart to understand, and to chasten thyself before thy God, thy words were heard, and I am come for thy words.(KJV-1611) Dan 10:12 Li di m' konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.(Creole-HT) ======= Daniel 10:13 ============ Dan 10:13 But the prince of the kingdom of Persia withstood me one and twenty days: but, lo, Michael, one of the chief princes, came to help me; and I remained there with the kings of Persia.(KJV-1611) Dan 10:13 Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m' pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m' sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.(Creole-HT) ======= Daniel 10:14 ============ Dan 10:14 Now I am come to make thee understand what shall befall thy people in the latter days: for yet the vision is for many days.(KJV-1611) Dan 10:14 Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 10:15 ============ Dan 10:15 And when he had spoken such words unto me, I set my face toward the ground, and I became dumb.(KJV-1611) Dan 10:15 Lè li di m' sa, m' bese je m' gade atè san m' pa di anyen.(Creole-HT) ======= Daniel 10:16 ============ Dan 10:16 And, behold, one like the similitude of the sons of men touched my lips: then I opened my mouth, and spake, and said unto him that stood before me, O my lord, by the vision my sorrows are turned upon me, and I have retained no strength.(KJV-1611) Dan 10:16 Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l', li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m' lan: -Mèt, vizyon an fè m' pè, m' pèdi tout fòs mwen, kè m' sere!(Creole-HT) ======= Daniel 10:17 ============ Dan 10:17 For how can the servant of this my lord talk with this my lord? for as for me, straightway there remained no strength in me, neither is there breath left in me.(KJV-1611) Dan 10:17 Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M' pa gen fòs ankò, m' pèdi souf mwen.(Creole-HT) ======= Daniel 10:18 ============ Dan 10:18 Then there came again and touched me one like the appearance of a man, and he strengthened me,(KJV-1611) Dan 10:18 Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m' ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m' refè.(Creole-HT) ======= Daniel 10:19 ============ Dan 10:19 And said, O man greatly beloved, fear not: peace be unto thee, be strong, yea, be strong. And when he had spoken unto me, I was strengthened, and said, Let my lord speak; for thou hast strengthened me.(KJV-1611) Dan 10:19 Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non!(Creole-HT) ======= Daniel 10:20 ============ Dan 10:20 Then said he, Knowest thou wherefore I come unto thee? and now will I return to fight with the prince of Persia: and when I am gone forth, lo, the prince of Grecia shall come.(KJV-1611) Dan 10:20 Lè sa a, li di m': -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m' te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m' al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt.(Creole-HT) ======= Daniel 10:21 ============ Dan 10:21 But I will shew thee that which is noted in the scripture of truth: and there is none that holdeth with me in these things, but Michael your prince.(KJV-1611) Dan 10:21 Pa gen lòt moun pou vin ede m' pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Daniel 11:1 ============ Dan 11:1 Also I in the first year of Darius the Mede, even I, stood to confirm and to strengthen him.(KJV-1611) Dan 11:1 Mwen menm tou mwen te kanpe ak li pou ede l', pou soutni l' nan premye lanne rèy wa Dariyis la.(Creole-HT) ======= Daniel 11:2 ============ Dan 11:2 And now will I shew thee the truth. Behold, there shall stand up yet three kings in Persia; and the fourth shall be far richer than they all: and by his strength through his riches he shall stir up all against the realm of Grecia.(KJV-1611) Dan 11:2 Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.(Creole-HT) ======= Daniel 11:3 ============ Dan 11:3 And a mighty king shall stand up, that shall rule with great dominion, and do according to his will.(KJV-1611) Dan 11:3 Lè sa a, yon wa vanyan gason va parèt. Li pral gouvènen yon gwo gwo peyi. Epi l'ap fè sa li vle.(Creole-HT) ======= Daniel 11:4 ============ Dan 11:4 And when he shall stand up, his kingdom shall be broken, and shall be divided toward the four winds of heaven; and not to his posterity, nor according to his dominion which he ruled: for his kingdom shall be plucked up, even for others beside those.(KJV-1611) Dan 11:4 Men, lè l'a fin chita pouvwa li byen chita, gwo peyi l'ap gouvènen an pral separe fè kat pòsyon. Men, se p'ap pitit li yo ki pral gouvènen nan plas li. Se va kat lòt moun. Men, yo p'ap gen pouvwa li menm li te genyen an.(Creole-HT) ======= Daniel 11:5 ============ Dan 11:5 And the king of the south shall be strong, and one of his princes; and he shall be strong above him, and have dominion; his dominion shall be a great dominion.(KJV-1611) Dan 11:5 Wa peyi Lejip la pral vin fò anpil. Men, yonn nan jeneral lame li yo pral pi fò pase l'. Li pral gouvènen yon peyi ki pi gran pase pa l' la toujou.(Creole-HT) ======= Daniel 11:6 ============ Dan 11:6 And in the end of years they shall join themselves together; for the king's daughter of the south shall come to the king of the north to make an agreement: but she shall not retain the power of the arm; neither shall he stand, nor his arm: but she shall be given up, and they that brought her, and he that begat her, and he that strengthened her in these times.(KJV-1611) Dan 11:6 Apre kèk lanne, wa peyi Lejip la pral siyen kontra ak wa peyi Siri a. Pitit fi wa peyi Lejip la pral marye ak wa peyi Siri a pou kontra a ka kenbe. Men, kontra a p'ap rete lontan, paske yo pral touye ni li, ni mari l', ni pitit li, ni moun li te mennen avè l' lè sa a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:7 ============ Dan 11:7 But out of a branch of her roots shall one stand up in his estate, which shall come with an army, and shall enter into the fortress of the king of the north, and shall deal against them, and shall prevail:(KJV-1611) Dan 11:7 Kèk tan apre sa, yonn nan fanmi l' yo va moute wa. Li pral atake lame wa peyi Siri a. L'ap antre nan sitadèl wa a, l'ap goumen avè l'. L'ap soti pi fò pase l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:8 ============ Dan 11:8 And shall also carry captives into Egypt their gods, with their princes, and with their precious vessels of silver and of gold; and he shall continue more years than the king of the north.(KJV-1611) Dan 11:8 L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:9 ============ Dan 11:9 So the king of the south shall come into his kingdom, and shall return into his own land.(KJV-1611) Dan 11:9 Wa peyi Siri a pral atake peyi Lejip. Men, l'ap blije kase tèt tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Daniel 11:10 ============ Dan 11:10 But his sons shall be stirred up, and shall assemble a multitude of great forces: and one shall certainly come, and overflow, and pass through: then shall he return, and be stirred up, even to his fortress.(KJV-1611) Dan 11:10 Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y' al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fwontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= Daniel 11:11 ============ Dan 11:11 And the king of the south shall be moved with choler, and shall come forth and fight with him, even with the king of the north: and he shall set forth a great multitude; but the multitude shall be given into his hand.(KJV-1611) Dan 11:11 Wa peyi Lejip la pral fache. Li pral leve yon gwo lame pou li al goumen ak wa peyi Siri a, l'ap fè tout sòlda lame wa peyi Siri a prizonye.(Creole-HT) ======= Daniel 11:12 ============ Dan 11:12 And when he hath taken away the multitude, his heart shall be lifted up; and he shall cast down many ten thousands: but he shall not be strengthened by it.(KJV-1611) Dan 11:12 L'ap kraze gwo lame wa Siri a. Li pral gonfle lestonmak li, l'ap fè touye anpil sòlda. Men, apre sa, l'ap pèdi fòs li.(Creole-HT) ======= Daniel 11:13 ============ Dan 11:13 For the king of the north shall return, and shall set forth a multitude greater than the former, and shall certainly come after certain years with a great army and with much riches.(KJV-1611) Dan 11:13 Wa peyi Siri a ap tounen ankò, l'ap sanble yon lame pi gwo pase sa l' te gen anvan an. Apre kèk lanne, l'ap parèt ak yon gwo lame ak anpil zam.(Creole-HT) ======= Daniel 11:14 ============ Dan 11:14 And in those times there shall many stand up against the king of the south: also the robbers of thy people shall exalt themselves to establish the vision; but they shall fall.(KJV-1611) Dan 11:14 Lè sa a, anpil pèp pral leve kont wa peyi Lejip la. Danyèl, jan ou te wè l' nan vizyon an, kèk lwijanboje nan moun peyi ou la pral leve kont wa a tou, men y'ap kraze yo.(Creole-HT) ======= Daniel 11:15 ============ Dan 11:15 So the king of the north shall come, and cast up a mount, and take the most fenced cities: and the arms of the south shall not withstand, neither his chosen people, neither shall there be any strength to withstand.(KJV-1611) Dan 11:15 Se konsa, wa peyi Siri a pral sènen yon lavil ki gen gwo ranpa. L'ap pran l'. Sòlda lame peyi Lejip yo p'ap ka kenbe tèt avè l'. Menm pi bon nan sòlda yo p'ap gen fòs ankò pou kenbe.(Creole-HT) ======= Daniel 11:16 ============ Dan 11:16 But he that cometh against him shall do according to his own will, and none shall stand before him: and he shall stand in the glorious land, which by his hand shall be consumed.(KJV-1611) Dan 11:16 Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:17 ============ Dan 11:17 He shall also set his face to enter with the strength of his whole kingdom, and upright ones with him; thus shall he do: and he shall give him the daughter of women, corrupting her: but she shall not stand on his side, neither be for him.(KJV-1611) Dan 11:17 Wa Siri a ap mete nan tèt li pou l' pran tout peyi lòt wa a pou li. L'ap siyen yon kontra avè l'. Pou l' ka pran l' pi byen, l'ap ba li pitit fi li a pou madanm. Men, plan an p'ap pran, sa p'ap mache.(Creole-HT) ======= Daniel 11:18 ============ Dan 11:18 After this shall he turn his face unto the isles, and shall take many: but a prince for his own behalf shall cause the reproach offered by him to cease; without his own reproach he shall cause it to turn upon him.(KJV-1611) Dan 11:18 Lèfini, l'ap pase nan lanmè, l'ap atake lòt nasyon sou zile yo. L'ap pran anpil ladan yo. Men, yonn nan chèf lòt nasyon yo pral rete l' sou kous li. L'ap fè l' sispann fè awogan. L'ap fè awogans wa a tounen sou tèt wa a ankò.(Creole-HT) ======= Daniel 11:19 ============ Dan 11:19 Then he shall turn his face toward the fort of his own land: but he shall stumble and fall, and not be found.(KJV-1611) Dan 11:19 Wa a ap tounen nan fò ki nan peyi pa l' yo. Men, wè pa wè, y'ap kraze l', y'ap fini nèt avè l', l'ap disparèt.(Creole-HT) ======= Daniel 11:20 ============ Dan 11:20 Then shall stand up in his estate a raiser of taxes in the glory of the kingdom: but within few days he shall be destroyed, neither in anger, nor in battle.(KJV-1611) Dan 11:20 Apre li, ap gen yon lòt wa k'ap voye yon chèf pou peze pèp la. L'ap egzije pèp la peye taks pou yo plen kès wa a. Anvan lontan y'ap touye wa a, men se p'ap bagay k'ap rive ni an piblik ni nan lagè.(Creole-HT) ======= Daniel 11:21 ============ Dan 11:21 And in his estate shall stand up a vile person, to whom they shall not give the honour of the kingdom: but he shall come in peaceably, and obtain the kingdom by flatteries.(KJV-1611) Dan 11:21 Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:22 ============ Dan 11:22 And with the arms of a flood shall they be overflown from before him, and shall be broken; yea, also the prince of the covenant.(KJV-1611) Dan 11:22 Tout moun ki konprann pou yo kenbe tèt ak li, l'ap kraze yo, l'ap disparèt yo. L'ap disparèt ata chèf kontra a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:23 ============ Dan 11:23 And after the league made with him he shall work deceitfully: for he shall come up, and shall become strong with a small people.(KJV-1611) Dan 11:23 L'ap siyen kontra ak lòt nasyon yo, men se pou l' ka twonpe yo pi byen. Atout peyi l' la tou piti, chak jou l'ap vin pi fò.(Creole-HT) ======= Daniel 11:24 ============ Dan 11:24 He shall enter peaceably even upon the fattest places of the province; and he shall do that which his fathers have not done, nor his fathers' fathers; he shall scatter among them the prey, and spoil, and riches: yea, and he shall forecast his devices against the strong holds, even for a time.(KJV-1611) Dan 11:24 San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa.(Creole-HT) ======= Daniel 11:25 ============ Dan 11:25 And he shall stir up his power and his courage against the king of the south with a great army; and the king of the south shall be stirred up to battle with a very great and mighty army; but he shall not stand: for they shall forecast devices against him.(KJV-1611) Dan 11:25 L'ap leve, l'ap pare yon gwo lame pou l' atake peyi Lejip. Wa Lejip la menm ap pare yon gwo lame tou ak anpil zam pou koresponn ak li. Men, l'ap pèdi batay la paske y'ap fè move konplo sou do l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:26 ============ Dan 11:26 Yea, they that feed of the portion of his meat shall destroy him, and his army shall overflow: and many shall fall down slain.(KJV-1611) Dan 11:26 Zanmi ki t'ap manje sou menm tab avè l' yo ap fè yo fini avè l'. Anpil nan sòlda li yo pral mouri. Y'ap kraze lame li a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:27 ============ Dan 11:27 And both of these kings' hearts shall be to do mischief, and they shall speak lies at one table; but it shall not prosper: for yet the end shall be at the time appointed.(KJV-1611) Dan 11:27 Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap ko rive.(Creole-HT) ======= Daniel 11:28 ============ Dan 11:28 Then shall he return into his land with great riches; and his heart shall be against the holy covenant; and he shall do exploits, and return to his own land.(KJV-1611) Dan 11:28 Wa peyi Siri a ap tounen nan peyi l' ak anpil richès l'ap piye nan peyi Lejip. Apre lagè a, l'ap soti pou l' kraze relijyon pèp Bondye a. L'ap fè sa li te gen lide fè a. Lèfini, l'ap tounen tounen l' nan peyi l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:29 ============ Dan 11:29 At the time appointed he shall return, and come toward the south; but it shall not be as the former, or as the latter.(KJV-1611) Dan 11:29 Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:30 ============ Dan 11:30 For the ships of Chittim shall come against him: therefore he shall be grieved, and return, and have indignation against the holy covenant: so shall he do; he shall even return, and have intelligence with them that forsake the holy covenant.(KJV-1611) Dan 11:30 Moun Kitim yo ap vin nan batiman yo, y'ap rete l' sou kous li, l'ap dekouraje. Lè l'ap tounen. l'ap fin debòde sou moun k'ap sèvi dapre kontra Bondye te siyen avèk yo a. Men, l'ap fè pa moun ki vire do bay kontra a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:31 ============ Dan 11:31 And arms shall stand on his part, and they shall pollute the sanctuary of strength, and shall take away the daily sacrifice, and they shall place the abomination that maketh desolate.(KJV-1611) Dan 11:31 L'ap voye sòlda nan lame li yo vin fè mete Tanp lan nan kondisyon pou moun pa ka sèvi Bondye ladan l' ankò. Y'ap aboli ofrann bèt yo te konn fè chak jou a, y'ap mete sa nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan.(Creole-HT) ======= Daniel 11:32 ============ Dan 11:32 And such as do wickedly against the covenant shall he corrupt by flatteries: but the people that do know their God shall be strong, and do exploits.(KJV-1611) Dan 11:32 Wa a ap fè moun ki te deja vire do yo bay kontra Bondye a pran pozisyon pou li, l'ap pran tèt yo ak bèl pawòl. Men, moun k'ap sèvi Bondye yo ap kanpe fèm, y'ap kenbe tèt avè l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:33 ============ Dan 11:33 And they that understand among the people shall instruct many: yet they shall fall by the sword, and by flame, by captivity, and by spoil, many days.(KJV-1611) Dan 11:33 Chèf ki gen bon konprann yo va separe konesans yo ak pèp la. Men, pandan kèk tan yo pral pèsekite yo, y'ap touye yo nan batay. Yo pral boule yo nan dife jouk yo mouri. Y'ap depòte yo, y'ap piye tout zafè yo.(Creole-HT) ======= Daniel 11:34 ============ Dan 11:34 Now when they shall fall, they shall be holpen with a little help: but many shall cleave to them with flatteries.(KJV-1611) Dan 11:34 Pandan tout pèsekisyon sa a, pèp Bondye a va resevwa yon ti konkou. Men, anpil moun ap vin mete tèt ansanm ak yo pou defann pwòp enterè pa yo.(Creole-HT) ======= Daniel 11:35 ============ Dan 11:35 And some of them of understanding shall fall, to try them, and to purge, and to make them white, even to the time of the end: because it is yet for a time appointed.(KJV-1611) Dan 11:35 Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.(Creole-HT) ======= Daniel 11:36 ============ Dan 11:36 And the king shall do according to his will; and he shall exalt himself, and magnify himself above every god, and shall speak marvellous things against the God of gods, and shall prosper till the indignation be accomplished: for that that is determined shall be done.(KJV-1611) Dan 11:36 Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.(Creole-HT) ======= Daniel 11:37 ============ Dan 11:37 Neither shall he regard the God of his fathers, nor the desire of women, nor regard any god: for he shall magnify himself above all.(KJV-1611) Dan 11:37 Wa a p'ap konnen bondye zansèt li yo, li p'ap konnen bondye medam yo renmen sèvi a, li p'ap konn ankenn lòt bondye. Se tèt pa l' ase l'ap konnen. Pou li, li pi gran pase yo tout.(Creole-HT) ======= Daniel 11:38 ============ Dan 11:38 But in his estate shall he honour the God of forces: and a god whom his fathers knew not shall he honour with gold, and silver, and with precious stones, and pleasant things.(KJV-1611) Dan 11:38 Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li.(Creole-HT) ======= Daniel 11:39 ============ Dan 11:39 Thus shall he do in the most strong holds with a strange god, whom he shall acknowledge and increase with glory: and he shall cause them to rule over many, and shall divide the land for gain.(KJV-1611) Dan 11:39 Pou defann fò li yo, l'ap pran moun ki sèvi lòt bondye pou sèvi sòlda. Depi yon moun rekonèt li pou wa, l'ap fè bèl bagay pou li, l'ap mete l' chèf sou anpil moun, l'ap ba li tè pou rekonpans.(Creole-HT) ======= Daniel 11:40 ============ Dan 11:40 And at the time of the end shall the king of the south push at him: and the king of the north shall come against him like a whirlwind, with chariots, and with horsemen, and with many ships; and he shall enter into the countries, and shall overflow and pass over.(KJV-1611) Dan 11:40 Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral atake l'. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha lagè li yo, tout kavalye l' yo ak anpil batiman. L'ap anvayi anpil peyi, l'ap tankou yon gwo larivyè k'ap desann.(Creole-HT) ======= Daniel 11:41 ============ Dan 11:41 He shall enter also into the glorious land, and many countries shall be overthrown: but these shall escape out of his hand, even Edom, and Moab, and the chief of the children of Ammon.(KJV-1611) Dan 11:41 L'ap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, l'ap touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon yo va chape anba men l'.(Creole-HT) ======= Daniel 11:42 ============ Dan 11:42 He shall stretch forth his hand also upon the countries: and the land of Egypt shall not escape.(KJV-1611) Dan 11:42 Wi, l'ap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip p'ap chape.(Creole-HT) ======= Daniel 11:43 ============ Dan 11:43 But he shall have power over the treasures of gold and of silver, and over all the precious things of Egypt: and the Libyans and the Ethiopians shall be at his steps.(KJV-1611) Dan 11:43 L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li.(Creole-HT) ======= Daniel 11:44 ============ Dan 11:44 But tidings out of the east and out of the north shall trouble him: therefore he shall go forth with great fury to destroy, and utterly to make away many.(KJV-1611) Dan 11:44 Men, l'ap vin tande nouvèl k'ap kouri soti nan nò ak bò solèy leve. L'ap pè, l'ap kase tèt tounen. L'ap debòde, l'ap kraze brize, l'ap masakre anpil moun.(Creole-HT) ======= Daniel 11:45 ============ Dan 11:45 And he shall plant the tabernacles of his palace between the seas in the glorious holy mountain; yet he shall come to his end, and none shall help him.(KJV-1611) Dan 11:45 L'ap moute gwo tant li a ant lanmè a ak mòn kote tanp Bondye a kanpe a. Men, l'ap mouri, p'ap gen pesonn pou pote l' sekou.(Creole-HT) ======= Daniel 12:1 ============ Dan 12:1 And at that time shall Michael stand up, the great prince which standeth for the children of thy people: and there shall be a time of trouble, such as never was since there was a nation even to that same time: and at that time thy people shall be delivered, every one that shall be found written in the book.(KJV-1611) Dan 12:1 Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.(Creole-HT) ======= Daniel 12:2 ============ Dan 12:2 And many of them that sleep in the dust of the earth shall awake, some to everlasting life, and some to shame and everlasting contempt.(KJV-1611) Dan 12:2 Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Daniel 12:3 ============ Dan 12:3 And they that be wise shall shine as the brightness of the firmament; and they that turn many to righteousness as the stars for ever and ever.(KJV-1611) Dan 12:3 Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Daniel 12:4 ============ Dan 12:4 But thou, O Daniel, shut up the words, and seal the book, even to the time of the end: many shall run to and fro, and knowledge shall be increased.(KJV-1611) Dan 12:4 Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Daniel 12:5 ============ Dan 12:5 Then I Daniel looked, and, behold, there stood other two, the one on this side of the bank of the river, and the other on that side of the bank of the river.(KJV-1611) Dan 12:5 Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.(Creole-HT) ======= Daniel 12:6 ============ Dan 12:6 And one said to the man clothed in linen, which was upon the waters of the river, How long shall it be to the end of these wonders?(KJV-1611) Dan 12:6 Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?(Creole-HT) ======= Daniel 12:7 ============ Dan 12:7 And I heard the man clothed in linen, which was upon the waters of the river, when he held up his right hand and his left hand unto heaven, and sware by him that liveth for ever that it shall be for a time, times, and an half; and when he shall have accomplished to scatter the power of the holy people, all these things shall be finished.(KJV-1611) Dan 12:7 Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.(Creole-HT) ======= Daniel 12:8 ============ Dan 12:8 And I heard, but I understood not: then said I, O my Lord, what shall be the end of these things?(KJV-1611) Dan 12:8 Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm?(Creole-HT) ======= Daniel 12:9 ============ Dan 12:9 And he said, Go thy way, Daniel: for the words are closed up and sealed till the time of the end.(KJV-1611) Dan 12:9 Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.(Creole-HT) ======= Daniel 12:10 ============ Dan 12:10 Many shall be purified, and made white, and tried; but the wicked shall do wickedly: and none of the wicked shall understand; but the wise shall understand.(KJV-1611) Dan 12:10 Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.(Creole-HT) ======= Daniel 12:11 ============ Dan 12:11 And from the time that the daily sacrifice shall be taken away, and the abomination that maketh desolate set up, there shall be a thousand two hundred and ninety days.(KJV-1611) Dan 12:11 Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis jou ki gen pou pase.(Creole-HT) ======= Daniel 12:12 ============ Dan 12:12 Blessed is he that waiteth, and cometh to the thousand three hundred and five and thirty days.(KJV-1611) Dan 12:12 Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk jou sa yo va fin pase!(Creole-HT) ======= Daniel 12:13 ============ Dan 12:13 But go thou thy way till the end be: for thou shalt rest, and stand in thy lot at the end of the days.(KJV-1611) Dan 12:13 Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!(Creole-HT) ======= Hosea 1:1 ============ Hos 1:1 The word of the LORD that came unto Hosea, the son of Beeri, in the days of Uzziah, Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah, and in the days of Jeroboam the son of Joash, king of Israel.(KJV-1611) Hos 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Hosea 1:2 ============ Hos 1:2 The beginning of the word of the LORD by Hosea. And the LORD said to Hosea, Go, take unto thee a wife of whoredoms and children of whoredoms: for the land hath committed great whoredom, departing from the LORD.(KJV-1611) Hos 1:2 Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.(Creole-HT) ======= Hosea 1:3 ============ Hos 1:3 So he went and took Gomer the daughter of Diblaim; which conceived, and bare him a son.(KJV-1611) Hos 1:3 Se konsa, Oze leve, li al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Hosea 1:4 ============ Hos 1:4 And the LORD said unto him, Call his name Jezreel; for yet a little while, and I will avenge the blood of Jezreel upon the house of Jehu, and will cause to cease the kingdom of the house of Israel.(KJV-1611) Hos 1:4 Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Hosea 1:5 ============ Hos 1:5 And it shall come to pass at that day, that I will break the bow of Israel, in the valley of Jezreel.(KJV-1611) Hos 1:5 Jou sa a, m'ap kraze tout zam pèp Izrayèl yo nan Fon Jizreyèl la.(Creole-HT) ======= Hosea 1:6 ============ Hos 1:6 And she conceived again, and bare a daughter. And God said unto him, Call her name Loruhamah: for I will no more have mercy upon the house of Israel; but I will utterly take them away.(KJV-1611) Hos 1:6 Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 1:7 ============ Hos 1:7 But I will have mercy upon the house of Judah, and will save them by the LORD their God, and will not save them by bow, nor by sword, nor by battle, by horses, nor by horsemen.(KJV-1611) Hos 1:7 Men, m'ap gen pitye pou moun peyi Jida yo. Mwen menm, Seyè a, Bondye yo a, m'ap delivre yo. Men, mwen p'ap fè l' ni avèk flèch, ni avèk nepe, ni nan goumen, ni avèk chwal ak kavalye.(Creole-HT) ======= Hosea 1:8 ============ Hos 1:8 Now when she had weaned Loruhamah, she conceived, and bare a son.(KJV-1611) Hos 1:8 Apre Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Hosea 1:9 ============ Hos 1:9 Then said God, Call his name Loammi: for ye are not my people, and I will not be your God.(KJV-1611) Hos 1:9 Lè sa a, Seyè a di Oze: -W'ap rele l' Lorami, paske moun peyi Izrayèl yo pa moun pa m' ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.(Creole-HT) ======= Hosea 1:10 ============ Hos 1:10 Yet the number of the children of Israel shall be as the sand of the sea, which cannot be measured nor numbered; and it shall come to pass, that in the place where it was said unto them, Ye are not my people, there it shall be said unto them, Ye are the sons of the living God.(KJV-1611) Hos 1:10 Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.(Creole-HT) ======= Hosea 1:11 ============ Hos 1:11 Then shall the children of Judah and the children of Israel be gathered together, and appoint themselves one head, and they shall come up out of the land: for great shall be the day of Jezreel.(KJV-1611) Hos 1:11 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl va mete tèt yo ansanm ankò. Y'a chwazi yon sèl chèf pou mache alatèt yo. Y'a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral yon gwo jou.(Creole-HT) ======= Hosea 2:1 ============ Hos 2:1 Say ye unto your brethren, Ammi; and to your sisters, Ruhamah.(KJV-1611) Hos 2:1 Se konsa n'a rele frè nou yo moun Bondye. N'a rele sè nou yo moun Bondye gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:2 ============ Hos 2:2 Plead with your mother, plead: for she is not my wife, neither am I her husband: let her therefore put away her whoredoms out of her sight, and her adulteries from between her breasts;(KJV-1611) Hos 2:2 Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:3 ============ Hos 2:3 Lest I strip her naked, and set her as in the day that she was born, and make her as a wilderness, and set her like a dry land, and slay her with thirst.(KJV-1611) Hos 2:3 Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:4 ============ Hos 2:4 And I will not have mercy upon her children; for they be the children of whoredoms.(KJV-1611) Hos 2:4 Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès.(Creole-HT) ======= Hosea 2:5 ============ Hos 2:5 For their mother hath played the harlot: she that conceived them hath done shamefully: for she said, I will go after my lovers, that give me my bread and my water, my wool and my flax, mine oil and my drink.(KJV-1611) Hos 2:5 Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.(Creole-HT) ======= Hosea 2:6 ============ Hos 2:6 Therefore, behold, I will hedge up thy way with thorns, and make a wall, that she shall not find her paths.(KJV-1611) Hos 2:6 Se poutèt sa mwen pral fèmen l' nan mitan yon lantouraj pikan. Mwen pral moute yon gwo miray fè wonn li. Konsa li p'ap ka mete pye l' deyò.(Creole-HT) ======= Hosea 2:7 ============ Hos 2:7 And she shall follow after her lovers, but she shall not overtake them; and she shall seek them, but shall not find them: then shall she say, I will go and return to my first husband; for then was it better with me than now.(KJV-1611) Hos 2:7 L'a chache mwayen pou li al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, l'a di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l' zafè m' te pi bon pase koulye a.(Creole-HT) ======= Hosea 2:8 ============ Hos 2:8 For she did not know that I gave her corn, and wine, and oil, and multiplied her silver and gold, which they prepared for Baal.(KJV-1611) Hos 2:8 Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal.(Creole-HT) ======= Hosea 2:9 ============ Hos 2:9 Therefore will I return, and take away my corn in the time thereof, and my wine in the season thereof, and will recover my wool and my flax given to cover her nakedness.(KJV-1611) Hos 2:9 Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fin mwen te ba li pou fè rad met sou li.(Creole-HT) ======= Hosea 2:10 ============ Hos 2:10 And now will I discover her lewdness in the sight of her lovers, and none shall deliver her out of mine hand.(KJV-1611) Hos 2:10 M'ap kite l' toutouni devan tout nonm li yo. Pesonn p'ap ka vin sove l' anba men mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 2:11 ============ Hos 2:11 I will also cause all her mirth to cease, her feast days, her new moons, and her sabbaths, and all her solemn feasts.(KJV-1611) Hos 2:11 Mwen pral fè l' sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l' yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:12 ============ Hos 2:12 And I will destroy her vines and her fig trees, whereof she hath said, These are my rewards that my lovers have given me: and I will make them a forest, and the beasts of the field shall eat them.(KJV-1611) Hos 2:12 Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:13 ============ Hos 2:13 And I will visit upon her the days of Baalim, wherein she burned incense to them, and she decked herself with her earrings and her jewels, and she went after her lovers, and forgat me, saith the LORD.(KJV-1611) Hos 2:13 Mwen pral pini l' pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete zanno ak kolye pou l' te ka kouri dèyè nonm li yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Hosea 2:14 ============ Hos 2:14 Therefore, behold, I will allure her, and bring her into the wilderness, and speak comfortably unto her.(KJV-1611) Hos 2:14 Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 2:15 ============ Hos 2:15 And I will give her her vineyards from thence, and the valley of Achor for a door of hope: and she shall sing there, as in the days of her youth, and as in the day when she came up out of the land of Egypt.(KJV-1611) Hos 2:15 M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l' nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l' jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l' lè li te jenn lan, lè l' te chape anba men moun peyi Lejip yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:16 ============ Hos 2:16 And it shall be at that day, saith the LORD, that thou shalt call me Ishi; and shalt call me no more Baali.(KJV-1611) Hos 2:16 Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.(Creole-HT) ======= Hosea 2:17 ============ Hos 2:17 For I will take away the names of Baalim out of her mouth, and they shall no more be remembered by their name.(KJV-1611) Hos 2:17 Mwen p'ap janm kite non Baal yo soti nan bouch li, li p'ap janm nonmen non yo ankò.(Creole-HT) ======= Hosea 2:18 ============ Hos 2:18 And in that day will I make a covenant for them with the beasts of the field and with the fowls of heaven, and with the creeping things of the ground: and I will break the bow and the sword and the battle out of the earth, and will make them to lie down safely.(KJV-1611) Hos 2:18 Lè sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann ak tout zwazo k'ap vole nan syèl la ak tout bèt k'ap trennen sou vant pou yo pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak nepe pou yo pa fè lagè ankò nan peyi a, pou moun ka kouche dòmi ak kè poze san danje.(Creole-HT) ======= Hosea 2:19 ============ Hos 2:19 And I will betroth thee unto me for ever; yea, I will betroth thee unto me in righteousness, and in judgment, and in lovingkindness, and in mercies.(KJV-1611) Hos 2:19 Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.(Creole-HT) ======= Hosea 2:20 ============ Hos 2:20 I will even betroth thee unto me in faithfulness: and thou shalt know the LORD.(KJV-1611) Hos 2:20 M'ap kenbe pwomès mwen, w'ap pou mwen nèt. Konsa, w'a konnen ki moun mwen menm, Seyè a, mwen ye.(Creole-HT) ======= Hosea 2:21 ============ Hos 2:21 And it shall come to pass in that day, I will hear, saith the LORD, I will hear the heavens, and they shall hear the earth;(KJV-1611) Hos 2:21 Jou sa a, m'a reponn lapriyè tout moun. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap fè lapli soti nan syèl tonbe sou latè.(Creole-HT) ======= Hosea 2:22 ============ Hos 2:22 And the earth shall hear the corn, and the wine, and the oil; and they shall hear Jezreel.(KJV-1611) Hos 2:22 Tè a va bay manje, diven ak lwil. Se konsa m'a reponn lapriyè moun Jizreyèl yo.(Creole-HT) ======= Hosea 2:23 ============ Hos 2:23 And I will sow her unto me in the earth; and I will have mercy upon her that had not obtained mercy; and I will say to them which were not my people, Thou art my people; and they shall say, Thou art my God.(KJV-1611) Hos 2:23 M'ap fè yo peple nan peyi a. M'a gen pitye pou moun mwen te meprize yo. M'a pale ak moun ki pa moun pa m' yo, m'a di yo: Se pèp mwen nou ye. Yo menm, y'a reponn: Wi, se Bondye nou ou ye.(Creole-HT) ======= Hosea 3:1 ============ Hos 3:1 Then said the LORD unto me, Go yet, love a woman beloved of her friend, yet an adulteress, according to the love of the LORD toward the children of Israel, who look to other gods, and love flagons of wine.(KJV-1611) Hos 3:1 Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.(Creole-HT) ======= Hosea 3:2 ============ Hos 3:2 So I bought her to me for fifteen pieces of silver, and for an homer of barley, and an half homer of barley:(KJV-1611) Hos 3:2 Se konsa, m' al achte yon fanm k'ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li.(Creole-HT) ======= Hosea 3:3 ============ Hos 3:3 And I said unto her, Thou shalt abide for me many days; thou shalt not play the harlot, and thou shalt not be for another man: so will I also be for thee.(KJV-1611) Hos 3:3 Mwen di l'. -Ou pral rete avè m' atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou.(Creole-HT) ======= Hosea 3:4 ============ Hos 3:4 For the children of Israel shall abide many days without a king, and without a prince, and without a sacrifice, and without an image, and without an ephod, and without teraphim:(KJV-1611) Hos 3:4 Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.(Creole-HT) ======= Hosea 3:5 ============ Hos 3:5 Afterward shall the children of Israel return, and seek the LORD their God, and David their king; and shall fear the LORD and his goodness in the latter days.(KJV-1611) Hos 3:5 Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.(Creole-HT) ======= Hosea 4:1 ============ Hos 4:1 Hear the word of the LORD, ye children of Israel: for the LORD hath a controversy with the inhabitants of the land, because there is no truth, nor mercy, nor knowledge of God in the land.(KJV-1611) Hos 4:1 Seyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.(Creole-HT) ======= Hosea 4:2 ============ Hos 4:2 By swearing, and lying, and killing, and stealing, and committing adultery, they break out, and blood toucheth blood.(KJV-1611) Hos 4:2 Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.(Creole-HT) ======= Hosea 4:3 ============ Hos 4:3 Therefore shall the land mourn, and every one that dwelleth therein shall languish, with the beasts of the field, and with the fowls of heaven; yea, the fishes of the sea also shall be taken away.(KJV-1611) Hos 4:3 Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.(Creole-HT) ======= Hosea 4:4 ============ Hos 4:4 Yet let no man strive, nor reprove another: for thy people are as they that strive with the priest.(KJV-1611) Hos 4:4 Seyè a di: Piga pesonn louvri bouch yo di yon mo! Piga pesonn kritike anyen! Se nou menm prèt yo, m'ap akize koulye a.(Creole-HT) ======= Hosea 4:5 ============ Hos 4:5 Therefore shalt thou fall in the day, and the prophet also shall fall with thee in the night, and I will destroy thy mother.(KJV-1611) Hos 4:5 Gwo lajounen, n'ap fè sa nou pa t' dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m'ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.(Creole-HT) ======= Hosea 4:6 ============ Hos 4:6 My people are destroyed for lack of knowledge: because thou hast rejected knowledge, I will also reject thee, that thou shalt be no priest to me: seeing thou hast forgotten the law of thy God, I will also forget thy children.(KJV-1611) Hos 4:6 Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.(Creole-HT) ======= Hosea 4:7 ============ Hos 4:7 As they were increased, so they sinned against me: therefore will I change their glory into shame.(KJV-1611) Hos 4:7 Plis nou gen prèt, se plis n'ap fè sa ki mal devan je m'. Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y'ap fè nou wont.(Creole-HT) ======= Hosea 4:8 ============ Hos 4:8 They eat up the sin of my people, and they set their heart on their iniquity.(KJV-1611) Hos 4:8 Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n'ap vin pi rich. Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.(Creole-HT) ======= Hosea 4:9 ============ Hos 4:9 And there shall be, like people, like priest: and I will punish them for their ways, and reward them their doings.(KJV-1611) Hos 4:9 Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.(Creole-HT) ======= Hosea 4:10 ============ Hos 4:10 For they shall eat, and not have enough: they shall commit whoredom, and shall not increase: because they have left off to take heed to the LORD.(KJV-1611) Hos 4:10 N'a manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n'a rete grangou toujou. N'ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k'ap bay pitit, men n'a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Seyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.(Creole-HT) ======= Hosea 4:11 ============ Hos 4:11 Whoredom and wine and new wine take away the heart.(KJV-1611) Hos 4:11 Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.(Creole-HT) ======= Hosea 4:12 ============ Hos 4:12 My people ask counsel at their stocks, and their staff declareth unto them: for the spirit of whoredoms hath caused them to err, and they have gone a whoring from under their God.(KJV-1611) Hos 4:12 Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!(Creole-HT) ======= Hosea 4:13 ============ Hos 4:13 They sacrifice upon the tops of the mountains, and burn incense upon the hills, under oaks and poplars and elms, because the shadow thereof is good: therefore your daughters shall commit whoredom, and your spouses shall commit adultery.(KJV-1611) Hos 4:13 Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y' al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.(Creole-HT) ======= Hosea 4:14 ============ Hos 4:14 I will not punish your daughters when they commit whoredom, nor your spouses when they commit adultery: for themselves are separated with whores, and they sacrifice with harlots: therefore the people that doth not understand shall fall.(KJV-1611) Hos 4:14 Non. Mwen p'ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y'ap fè a, paske se nou menm gason k'ap fèmen kò nou apa ak medam k'ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.(Creole-HT) ======= Hosea 4:15 ============ Hos 4:15 Though thou, Israel, play the harlot, yet let not Judah offend; and come not ye unto Gilgal, neither go ye up to Bethaven, nor swear, The LORD liveth.(KJV-1611) Hos 4:15 Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!(Creole-HT) ======= Hosea 4:16 ============ Hos 4:16 For Israel slideth back as a backsliding heifer: now the LORD will feed them as a lamb in a large place.(KJV-1611) Hos 4:16 Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Seyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?(Creole-HT) ======= Hosea 4:17 ============ Hos 4:17 Ephraim is joined to idols: let him alone.(KJV-1611) Hos 4:17 Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!(Creole-HT) ======= Hosea 4:18 ============ Hos 4:18 Their drink is sour: they have committed whoredom continually: her rulers with shame do love, Give ye.(KJV-1611) Hos 4:18 Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo.(Creole-HT) ======= Hosea 4:19 ============ Hos 4:19 The wind hath bound her up in her wings, and they shall be ashamed because of their sacrifices.(KJV-1611) Hos 4:19 Yo pran nan yon move kouran. Y'a wont ofrann bèt y'ap fè pou touye pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Hosea 5:1 ============ Hos 5:1 Hear ye this, O priests; and hearken, ye house of Israel; and give ye ear, O house of the king; for judgment is toward you, because ye have been a snare on Mizpah, and a net spread upon Tabor.(KJV-1611) Hos 5:1 Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije koulye a. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.(Creole-HT) ======= Hosea 5:2 ============ Hos 5:2 And the revolters are profound to make slaughter, though I have been a rebuker of them all.(KJV-1611) Hos 5:2 Moun k'ap fè mechanste yo al twò lwen. Se mwen menm k'ap pini yo tout.(Creole-HT) ======= Hosea 5:3 ============ Hos 5:3 I know Ephraim, and Israel is not hid from me: for now, O Ephraim, thou committest whoredom, and Israel is defiled.(KJV-1611) Hos 5:3 Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 5:4 ============ Hos 5:4 They will not frame their doings to turn unto their God: for the spirit of whoredoms is in the midst of them, and they have not known the LORD.(KJV-1611) Hos 5:4 Avèk tou sa pèp la ap fè a, yo pa ka tounen vin jwenn Bondye yo a ankò. Yo pran nan sèvi zidòl. Yo pa konnen Seyè a ankò!(Creole-HT) ======= Hosea 5:5 ============ Hos 5:5 And the pride of Israel doth testify to his face: therefore shall Israel and Ephraim fall in their iniquity: Judah also shall fall with them.(KJV-1611) Hos 5:5 Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.(Creole-HT) ======= Hosea 5:6 ============ Hos 5:6 They shall go with their flocks and with their herds to seek the LORD; but they shall not find him; he hath withdrawn himself from them.(KJV-1611) Hos 5:6 Y'a pran mouton ak bèf pou fè ofrann pou Seyè a. Y'a chache l', men yo p'ap jwenn li, paske li wete kò l' sou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 5:7 ============ Hos 5:7 They have dealt treacherously against the LORD: for they have begotten strange children: now shall a month devour them with their portions.(KJV-1611) Hos 5:7 Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.(Creole-HT) ======= Hosea 5:8 ============ Hos 5:8 Blow ye the cornet in Gibeah, and the trumpet in Ramah: cry aloud at Bethaven, after thee, O Benjamin.(KJV-1611) Hos 5:8 Kònen klewon an lavil Gibeya! Sonnen avètisman an lavil Rama! Bay rèl lavil Betavenn pou moun yo pare pou lagè! Leve pye nou, moun Benjamen! Lènmi dèyè nou.(Creole-HT) ======= Hosea 5:9 ============ Hos 5:9 Ephraim shall be desolate in the day of rebuke: among the tribes of Israel have I made known that which shall surely be.(KJV-1611) Hos 5:9 Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.(Creole-HT) ======= Hosea 5:10 ============ Hos 5:10 The princes of Judah were like them that remove the bound: therefore I will pour out my wrath upon them like water.(KJV-1611) Hos 5:10 Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann!(Creole-HT) ======= Hosea 5:11 ============ Hos 5:11 Ephraim is oppressed and broken in judgment, because he willingly walked after the commandment.(KJV-1611) Hos 5:11 Moun Efrayim yo ap soufri anba moun k'ap peze yo a. Yo pèdi tè ki pou yo dapre lalwa, paske yo te soti pou yo te swiv moun ki pa gen anyen pou bay.(Creole-HT) ======= Hosea 5:12 ============ Hos 5:12 Therefore will I be unto Ephraim as a moth, and to the house of Judah as rottenness.(KJV-1611) Hos 5:12 M'ap fini ak moun Efrayim yo, m'ap manje yo tankou poudbwa manje bwa. M'ap disparèt moun peyi Jida yo, m'ap fè yo tounen pouriti.(Creole-HT) ======= Hosea 5:13 ============ Hos 5:13 When Ephraim saw his sickness, and Judah saw his wound, then went Ephraim to the Assyrian, and sent to king Jareb: yet could he not heal you, nor cure you of your wound.(KJV-1611) Hos 5:13 Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 5:14 ============ Hos 5:14 For I will be unto Ephraim as a lion, and as a young lion to the house of Judah: I, even I, will tear and go away; I will take away, and none shall rescue him.(KJV-1611) Hos 5:14 M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.(Creole-HT) ======= Hosea 5:15 ============ Hos 5:15 I will go and return to my place, till they acknowledge their offence, and seek my face: in their affliction they will seek me early.(KJV-1611) Hos 5:15 M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.(Creole-HT) ======= Hosea 6:1 ============ Hos 6:1 Come, and let us return unto the LORD: for he hath torn, and he will heal us; he hath smitten, and he will bind us up.(KJV-1611) Hos 6:1 Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 6:2 ============ Hos 6:2 After two days will he revive us: in the third day he will raise us up, and we shall live in his sight.(KJV-1611) Hos 6:2 Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'.(Creole-HT) ======= Hosea 6:3 ============ Hos 6:3 Then shall we know, if we follow on to know the LORD: his going forth is prepared as the morning; and he shall come unto us as the rain, as the latter and former rain unto the earth.(KJV-1611) Hos 6:3 N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Hosea 6:4 ============ Hos 6:4 O Ephraim, what shall I do unto thee? O Judah, what shall I do unto thee? for your goodness is as a morning cloud, and as the early dew it goeth away.(KJV-1611) Hos 6:4 Seyè a di: -Nou menm moun Efrayim, kisa pou m' fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m' fè ak nou? Nou renmen m', se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nwaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.(Creole-HT) ======= Hosea 6:5 ============ Hos 6:5 Therefore have I hewed them by the prophets; I have slain them by the words of my mouth: and thy judgments are as the light that goeth forth.(KJV-1611) Hos 6:5 Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou.(Creole-HT) ======= Hosea 6:6 ============ Hos 6:6 For I desired mercy, and not sacrifice; and the knowledge of God more than burnt offerings.(KJV-1611) Hos 6:6 Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 6:7 ============ Hos 6:7 But they like men have transgressed the covenant: there have they dealt treacherously against me.(KJV-1611) Hos 6:7 Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.(Creole-HT) ======= Hosea 6:8 ============ Hos 6:8 Gilead is a city of them that work iniquity, and is polluted with blood.(KJV-1611) Hos 6:8 Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye.(Creole-HT) ======= Hosea 6:9 ============ Hos 6:9 And as troops of robbers wait for a man, so the company of priests murder in the way by consent: for they commit lewdness.(KJV-1611) Hos 6:9 Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'.(Creole-HT) ======= Hosea 6:10 ============ Hos 6:10 I have seen an horrible thing in the house of Israel: there is the whoredom of Ephraim, Israel is defiled.(KJV-1611) Hos 6:10 Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 6:11 ============ Hos 6:11 Also, O Judah, he hath set an harvest for thee, when I returned the captivity of my people.(KJV-1611) Hos 6:11 Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:1 ============ Hos 7:1 When I would have healed Israel, then the iniquity of Ephraim was discovered, and the wickedness of Samaria: for they commit falsehood; and the thief cometh in, and the troop of robbers spoileth without.(KJV-1611) Hos 7:1 Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.(Creole-HT) ======= Hosea 7:2 ============ Hos 7:2 And they consider not in their hearts that I remember all their wickedness: now their own doings have beset them about; they are before my face.(KJV-1611) Hos 7:2 Men, yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 7:3 ============ Hos 7:3 They make the king glad with their wickedness, and the princes with their lies.(KJV-1611) Hos 7:3 Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:4 ============ Hos 7:4 They are all adulterers, as an oven heated by the baker, who ceaseth from raising after he hath kneaded the dough, until it be leavened.(KJV-1611) Hos 7:4 Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l'.(Creole-HT) ======= Hosea 7:5 ============ Hos 7:5 In the day of our king the princes have made him sick with bottles of wine; he stretched out his hand with scorners.(KJV-1611) Hos 7:5 Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:6 ============ Hos 7:6 For they have made ready their heart like an oven, whiles they lie in wait: their baker sleepeth all the night; in the morning it burneth as a flaming fire.(KJV-1611) Hos 7:6 Wi, lè y'ap fè konplo se tankou yon fou k'ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife.(Creole-HT) ======= Hosea 7:7 ============ Hos 7:7 They are all hot as an oven, and have devoured their judges; all their kings are fallen: there is none among them that calleth unto me.(KJV-1611) Hos 7:7 Yo gen yon chalè k'ap soti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k'ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m' mande sekou.(Creole-HT) ======= Hosea 7:8 ============ Hos 7:8 Ephraim, he hath mixed himself among the people; Ephraim is a cake not turned.(KJV-1611) Hos 7:8 Moun Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:9 ============ Hos 7:9 Strangers have devoured his strength, and he knoweth it not: yea, gray hairs are here and there upon him, yet he knoweth not.(KJV-1611) Hos 7:9 Moun lòt nasyon yo fin souse tout fòs yo. Yo menm yo pa konn sa. Yo gen tan fini, yo prèt pou mouri tankou vye granmoun cheve blan, yo pa menm wè sa.(Creole-HT) ======= Hosea 7:10 ============ Hos 7:10 And the pride of Israel testifieth to his face: and they do not return to the LORD their God, nor seek him for all this.(KJV-1611) Hos 7:10 Se awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Seyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m' ye.(Creole-HT) ======= Hosea 7:11 ============ Hos 7:11 Ephraim also is like a silly dove without heart: they call to Egypt, they go to Assyria.(KJV-1611) Hos 7:11 Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:12 ============ Hos 7:12 When they shall go, I will spread my net upon them; I will bring them down as the fowls of the heaven; I will chastise them, as their congregation hath heard.(KJV-1611) Hos 7:12 Men, antan yo prale konsa, mwen pare yon pèlen pou yo, mwen pran yo tankou zwazo k'ap vole nan syèl. M'ap pini yo pou mechanste yo fè yo.(Creole-HT) ======= Hosea 7:13 ============ Hos 7:13 Woe unto them! for they have fled from me: destruction unto them! because they have transgressed against me: though I have redeemed them, yet they have spoken lies against me.(KJV-1611) Hos 7:13 Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 7:14 ============ Hos 7:14 And they have not cried unto me with their heart, when they howled upon their beds: they assemble themselves for corn and wine, and they rebel against me.(KJV-1611) Hos 7:14 Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'.(Creole-HT) ======= Hosea 7:15 ============ Hos 7:15 Though I have bound and strengthened their arms, yet do they imagine mischief against me.(KJV-1611) Hos 7:15 Atout se mwen menm ki te mennen yo, ki te ba yo fòs, yo fè konplo sou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 7:16 ============ Hos 7:16 They return, but not to the most High: they are like a deceitful bow: their princes shall fall by the sword for the rage of their tongue: this shall be their derision in the land of Egypt.(KJV-1611) Hos 7:16 Yo vire do ban mwen pou y' al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.(Creole-HT) ======= Hosea 8:1 ============ Hos 8:1 Set the trumpet to thy mouth. He shall come as an eagle against the house of the LORD, because they have transgressed my covenant, and trespassed against my law.(KJV-1611) Hos 8:1 Kònen klewon an! Malè ap fonn sou peyi Bondye a tankou malfini, paske moun yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo vire kont sa mwen te moutre yo a.(Creole-HT) ======= Hosea 8:2 ============ Hos 8:2 Israel shall cry unto me, My God, we know thee.(KJV-1611) Hos 8:2 Ou mèt tande yo di m': Ou se Bondye nou. Nou menm, moun Izrayèl, nou konnen ki moun ou ye!(Creole-HT) ======= Hosea 8:3 ============ Hos 8:3 Israel hath cast off the thing that is good: the enemy shall pursue him.(KJV-1611) Hos 8:3 yo pa vle wè sa ki bon. Se poutèt sa lènmi gen pou leve dèyè yo.(Creole-HT) ======= Hosea 8:4 ============ Hos 8:4 They have set up kings, but not by me: they have made princes, and I knew it not: of their silver and their gold have they made them idols, that they may be cut off.(KJV-1611) Hos 8:4 Yo rete yo chwazi wa mete alatèt yo, san mande m' si mwen dakò. Yo mete moun chèf san m' pa janm konnen. Yo pran lò ak ajan yo genyen, yo fè zidòl. Se sa k'ap fini ak yo a.(Creole-HT) ======= Hosea 8:5 ============ Hos 8:5 Thy calf, O Samaria, hath cast thee off; mine anger is kindled against them: how long will it be ere they attain to innocency?(KJV-1611) Hos 8:5 Mwen pa ka sipòte estati towo bèf moun Samari yo ap adore a. Se konsa mwen fè kòlè, mwen fache anpil sou yo. Kilè y'a sispann sèvi zidòl?(Creole-HT) ======= Hosea 8:6 ============ Hos 8:6 For from Israel was it also: the workman made it; therefore it is not God: but the calf of Samaria shall be broken in pieces.(KJV-1611) Hos 8:6 Se yon atizan peyi Izrayèl ki te fè zidòl la. Zidòl sa a, se pa ka yon bondye li ye. Estati towo bèf moun Samari yo, m'ap kraze l' an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Hosea 8:7 ============ Hos 8:7 For they have sown the wind, and they shall reap the whirlwind: it hath no stalk; the bud shall yield no meal: if so be it yield, the strangers shall swallow it up.(KJV-1611) Hos 8:7 Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout.(Creole-HT) ======= Hosea 8:8 ============ Hos 8:8 Israel is swallowed up: now shall they be among the Gentiles as a vessel wherein is no pleasure.(KJV-1611) Hos 8:8 Pèp Izrayèl la fini nèt. Nan je lòt nasyon yo, li tankou yon vye kannari kraze ki pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Hosea 8:9 ============ Hos 8:9 For they are gone up to Assyria, a wild ass alone by himself: Ephraim hath hired lovers.(KJV-1611) Hos 8:9 Tankou yon bourik endont, moun Efrayim yo ap fè sa yo pito. Yo moute peyi Lasiri al mande konkou. Tankou fanm k'ap achte gason, yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Hosea 8:10 ============ Hos 8:10 Yea, though they have hired among the nations, now will I gather them, and they shall sorrow a little for the burden of the king of princes.(KJV-1611) Hos 8:10 Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.(Creole-HT) ======= Hosea 8:11 ============ Hos 8:11 Because Ephraim hath made many altars to sin, altars shall be unto him to sin.(KJV-1611) Hos 8:11 Atout moun Efrayim yo bati lotèl toupatou pou wete peche, se menm lotèl sa yo ki fè yo tonbe pi rèd nan peche.(Creole-HT) ======= Hosea 8:12 ============ Hos 8:12 I have written to him the great things of my law, but they were counted as a strange thing.(KJV-1611) Hos 8:12 Atout m' ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 8:13 ============ Hos 8:13 They sacrifice flesh for the sacrifices of mine offerings, and eat it; but the LORD accepteth them not; now will he remember their iniquity, and visit their sins: they shall return to Egypt.(KJV-1611) Hos 8:13 Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Seyè a, se pa sa ki fè m' plezi. Koulye a mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Hosea 8:14 ============ Hos 8:14 For Israel hath forgotten his Maker, and buildeth temples; and Judah hath multiplied fenced cities: but I will send a fire upon his cities, and it shall devour the palaces thereof.(KJV-1611) Hos 8:14 Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:1 ============ Hos 9:1 Rejoice not, O Israel, for joy, as other people: for thou hast gone a whoring from thy God, thou hast loved a reward upon every cornfloor.(KJV-1611) Hos 9:1 Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.(Creole-HT) ======= Hosea 9:2 ============ Hos 9:2 The floor and the winepress shall not feed them, and the new wine shall fail in her.(KJV-1611) Hos 9:2 Men, talè konsa, nou p'ap gen kont farin, ni kont lwil pou nou sèvi. Kanta pou diven, nou p'ap jwenn sa menm.(Creole-HT) ======= Hosea 9:3 ============ Hos 9:3 They shall not dwell in the LORD's land; but Ephraim shall return to Egypt, and they shall eat unclean things in Assyria.(KJV-1611) Hos 9:3 Pèp Izrayèl la p'ap rete nan peyi Seyè a. Moun Efrayim yo ap tounen peyi Lejip ankò. Yo pral manje nan peyi Lasiri manje yo pa te gen dwa manje.(Creole-HT) ======= Hosea 9:4 ============ Hos 9:4 They shall not offer wine offerings to the LORD, neither shall they be pleasing unto him: their sacrifices shall be unto them as the bread of mourners; all that eat thereof shall be polluted: for their bread for their soul shall not come into the house of the LORD.(KJV-1611) Hos 9:4 Lè sa a, yo p'ap ka ofri diven bay Seyè a, ni yo p'ap ka fè okenn ofrann bèt ki pou ta fè l' plezi. Tout manje yo ap tankou manje yo bay nan veye. Tout moun ki manje manje sa yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Manje a va sèvi pou plen vant yo ase. Yo p'ap ka pran ladan l' pou ofri bay Seyè a nan tanp li a.(Creole-HT) ======= Hosea 9:5 ============ Hos 9:5 What will ye do in the solemn day, and in the day of the feast of the LORD?(KJV-1611) Hos 9:5 Kisa y'a fè menm lè gwo jou a, lè jou pou yo fè fèt pou Seyè a va rive?(Creole-HT) ======= Hosea 9:6 ============ Hos 9:6 For, lo, they are gone because of destruction: Egypt shall gather them up, Memphis shall bury them: the pleasant places for their silver, nettles shall possess them: thorns shall be in their tabernacles.(KJV-1611) Hos 9:6 Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:7 ============ Hos 9:7 The days of visitation are come, the days of recompence are come; Israel shall know it: the prophet is a fool, the spiritual man is mad, for the multitude of thine iniquity, and the great hatred.(KJV-1611) Hos 9:7 Jou pou yo pini nou an rive. Wi, lè pou yo ban nou sa nou merite a pral rive. Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo va konprann sa k'ap rive yo a. Y'ap plede di: Pwofèt sa a pèdi tèt li. Nonm ki gen lespri Bondye moute l' la pa konn sa l'ap di. Men se paske yo fè gwo peche, se paske yo vire do bay Bondye kifè sa rive yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:8 ============ Hos 9:8 The watchman of Ephraim was with my God: but the prophet is a snare of a fowler in all his ways, and hatred in the house of his God.(KJV-1611) Hos 9:8 Bondye voye m' tankou yon pwofèt pou m' avèti moun Izrayèl yo, pèp li a. Men tout kote m' pase, yo pare pèlen pou yo pran m' tankou yon zwazo. Menm nan pwòp kay Bondye a, yo pa vle wè m'.(Creole-HT) ======= Hosea 9:9 ============ Hos 9:9 They have deeply corrupted themselves, as in the days of Gibeah: therefore he will remember their iniquity, he will visit their sins.(KJV-1611) Hos 9:9 Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l' lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l'a pini yo pou tout peche yo fè.(Creole-HT) ======= Hosea 9:10 ============ Hos 9:10 I found Israel like grapes in the wilderness; I saw your fathers as the firstripe in the fig tree at her first time: but they went to Baalpeor, and separated themselves unto that shame; and their abominations were according as they loved.(KJV-1611) Hos 9:10 Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:11 ============ Hos 9:11 As for Ephraim, their glory shall fly away like a bird, from the birth, and from the womb, and from the conception.(KJV-1611) Hos 9:11 Sa ki te yon lwanj pou pèp Efrayim lan ap vole ale tankou zwazo. Yo p'ap fè pitit, madanm yo p'ap gwovant, madanm yo p'ap menm ansent.(Creole-HT) ======= Hosea 9:12 ============ Hos 9:12 Though they bring up their children, yet will I bereave them, that there shall not be a man left: yea, woe also to them when I depart from them!(KJV-1611) Hos 9:12 Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:13 ============ Hos 9:13 Ephraim, as I saw Tyrus, is planted in a pleasant place: but Ephraim shall bring forth his children to the murderer.(KJV-1611) Hos 9:13 Mwen fè yon vizyon, mwen wè pitit gason moun Izrayèl yo nan yon bèl jaden, epi se moun Izrayèl yo menm ki t'ap mennen yo bay ansasen.(Creole-HT) ======= Hosea 9:14 ============ Hos 9:14 Give them, O LORD: what wilt thou give? give them a miscarrying womb and dry breasts.(KJV-1611) Hos 9:14 Seyè! Kisa m' ta mande ou fè pou yo? Fè madanm yo toujou an pèdisyon? Fè yo pa gen lèt pou bay pitit yo tete?(Creole-HT) ======= Hosea 9:15 ============ Hos 9:15 All their wickedness is in Gilgal: for there I hated them: for the wickedness of their doings I will drive them out of mine house, I will love them no more: all their princes are revolters.(KJV-1611) Hos 9:15 Seyè a di konsa: Mechanste pèp la konmanse depi nan peyi Gilgal. Se la menm mwen konmanse rayi yo. Yo fè twòp move zak. Se poutèt sa, m'ap mete yo deyò nan peyi mwen an. Mwen p'ap renmen yo ankò, paske tout chèf yo se yon bann wòklò.(Creole-HT) ======= Hosea 9:16 ============ Hos 9:16 Ephraim is smitten, their root is dried up, they shall bear no fruit: yea, though they bring forth, yet will I slay even the beloved fruit of their womb.(KJV-1611) Hos 9:16 Peyi Efrayim lan tankou yon pyebwa ki pa ka donnen ankò. Rasin li yo fin cheche. Yo p'ap fè pitit. Menm si yo rive fè pitit, m'ap touye pitit yo pi renmen yo.(Creole-HT) ======= Hosea 9:17 ============ Hos 9:17 My God will cast them away, because they did not hearken unto him: and they shall be wanderers among the nations.(KJV-1611) Hos 9:17 Bondye m'ap sèvi a ap voye yo jete, paske yo pa t' koute li. Yo pral mache pwomennen san rete nan mitan nasyon yo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:1 ============ Hos 10:1 Israel is an empty vine, he bringeth forth fruit unto himself: according to the multitude of his fruit he hath increased the altars; according to the goodness of his land they have made goodly images.(KJV-1611) Hos 10:1 Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:2 ============ Hos 10:2 Their heart is divided; now shall they be found faulty: he shall break down their altars, he shall spoil their images.(KJV-1611) Hos 10:2 Yo pa t' sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:3 ============ Hos 10:3 For now they shall say, We have no king, because we feared not the LORD; what then should a king do to us?(KJV-1611) Hos 10:3 Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou?(Creole-HT) ======= Hosea 10:4 ============ Hos 10:4 They have spoken words, swearing falsely in making a covenant: thus judgment springeth up as hemlock in the furrows of the field.(KJV-1611) Hos 10:4 Men, tou sa se pale mete la. Y'ap fè sèman yo p'ap kenbe. Y'ap siyen kontra ki p'ap sèvi yo anyen. Nan tribinal, y'ap rann move jijman. Se tankou move zèb k'ap pouse nan yon jaden ou fèk pare.(Creole-HT) ======= Hosea 10:5 ============ Hos 10:5 The inhabitants of Samaria shall fear because of the calves of Bethaven: for the people thereof shall mourn over it, and the priests thereof that rejoiced on it, for the glory thereof, because it is departed from it.(KJV-1611) Hos 10:5 Moun ki rete lavil Samari pral tranble tèlman y'ap pè pou ti bèf an lò Betavenn yo. Y'ap kriye paske yo pèdi l'. Prèt yo tou ap pouse rèl, paske sa ki te fè pouvwa yo a, yo wete l' nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:6 ============ Hos 10:6 It shall be also carried unto Assyria for a present to king Jareb: Ephraim shall receive shame, and Israel shall be ashamed of his own counsel.(KJV-1611) Hos 10:6 Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.(Creole-HT) ======= Hosea 10:7 ============ Hos 10:7 As for Samaria, her king is cut off as the foam upon the water.(KJV-1611) Hos 10:7 Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:8 ============ Hos 10:8 The high places also of Aven, the sin of Israel, shall be destroyed: the thorn and the thistle shall come up on their altars; and they shall say to the mountains, Cover us; and to the hills, Fall on us.(KJV-1611) Hos 10:8 Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.(Creole-HT) ======= Hosea 10:9 ============ Hos 10:9 O Israel, thou hast sinned from the days of Gibeah: there they stood: the battle in Gibeah against the children of iniquity did not overtake them.(KJV-1611) Hos 10:9 Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.(Creole-HT) ======= Hosea 10:10 ============ Hos 10:10 It is in my desire that I should chastise them; and the people shall be gathered against them, when they shall bind themselves in their two furrows.(KJV-1611) Hos 10:10 Se poutèt sa, mwen soti pou m' pini yo. Moun lòt nasyon ap mete tèt ansanm sou do yo. Wi, y'ap pini yo akòz peche yo fè.(Creole-HT) ======= Hosea 10:11 ============ Hos 10:11 And Ephraim is as an heifer that is taught, and loveth to tread out the corn; but I passed over upon her fair neck: I will make Ephraim to ride; Judah shall plow, and Jacob shall break his clods.(KJV-1611) Hos 10:11 Te gen yon lè Efrayim te tankou yon jenn ti gazèl byen drese, li te renmen degrennen mayi sou glasi. Men, koulye a, m'ap mete yon jouk sou bèl ti kou l' la, m'ap sele l' pou fè l' travay pi di. M'ap fè moun Jida yo raboure tè. Moun Jakòb yo menm, m'ap fè yo kraze boul tè.(Creole-HT) ======= Hosea 10:12 ============ Hos 10:12 Sow to yourselves in righteousness, reap in mercy; break up your fallow ground: for it is time to seek the LORD, till he come and rain righteousness upon you.(KJV-1611) Hos 10:12 Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m' ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.(Creole-HT) ======= Hosea 10:13 ============ Hos 10:13 Ye have plowed wickedness, ye have reaped iniquity; ye have eaten the fruit of lies: because thou didst trust in thy way, in the multitude of thy mighty men.(KJV-1611) Hos 10:13 Men, nou te pito fè sa ki mal devan je m'. Se konsa, nou rekòlte sa ki mal tou. N'ap peye manti nou te bay yo. Nou fè sa ki nan lide nou. Nou te mete konfyans nou nan gwo kantite sòlda nou te genyen.(Creole-HT) ======= Hosea 10:14 ============ Hos 10:14 Therefore shall a tumult arise among thy people, and all thy fortresses shall be spoiled, as Shalman spoiled Betharbel in the day of battle: the mother was dashed in pieces upon her children.(KJV-1611) Hos 10:14 Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.(Creole-HT) ======= Hosea 10:15 ============ Hos 10:15 So shall Bethel do unto you because of your great wickedness: in a morning shall the king of Israel utterly be cut off.(KJV-1611) Hos 10:15 Men sa k'ap rive nou, nou menm moun lavil Betèl. Poutèt gwo mechanste nou te fè a, konmanse batay la va konmanse, wa Izrayèl la gen pou mouri.(Creole-HT) ======= Hosea 11:1 ============ Hos 11:1 When Israel was a child, then I loved him, and called my son out of Egypt.(KJV-1611) Hos 11:1 Lè pèp Izrayèl la te timoun toujou, mwen te renmen l' tankou pitit gason mwen. Mwen te rele l', mwen fè l' soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Hosea 11:2 ============ Hos 11:2 As they called them, so they went from them: they sacrificed unto Baalim, and burned incense to graven images.(KJV-1611) Hos 11:2 Men, plis mwen te konsidere l' tankou pitit mwen, se plis li t'ap vire do ban mwen. Yo t'ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t'ap plede boule lansan pou zidòl.(Creole-HT) ======= Hosea 11:3 ============ Hos 11:3 I taught Ephraim also to go, taking them by their arms; but they knew not that I healed them.(KJV-1611) Hos 11:3 Se mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache. Mwen te konn pran yo nan bra mwen. Men, yo pa t' vle rekònèt se mwen menm ki te pran swen yo.(Creole-HT) ======= Hosea 11:4 ============ Hos 11:4 I drew them with cords of a man, with bands of love: and I was to them as they that take off the yoke on their jaws, and I laid meat unto them.(KJV-1611) Hos 11:4 Pou m' te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m' ba yo manje.(Creole-HT) ======= Hosea 11:5 ============ Hos 11:5 He shall not return into the land of Egypt, and the Assyrian shall be his king, because they refused to return.(KJV-1611) Hos 11:5 Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.(Creole-HT) ======= Hosea 11:6 ============ Hos 11:6 And the sword shall abide on his cities, and shall consume his branches, and devour them, because of their own counsels.(KJV-1611) Hos 11:6 Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y'ap kraze miray ranpa lavil yo, y'ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito.(Creole-HT) ======= Hosea 11:7 ============ Hos 11:7 And my people are bent to backsliding from me: though they called them to the most High, none at all would exalt him.(KJV-1611) Hos 11:7 Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p'ap vin wete l' sou yo.(Creole-HT) ======= Hosea 11:8 ============ Hos 11:8 How shall I give thee up, Ephraim? how shall I deliver thee, Israel? how shall I make thee as Admah? how shall I set thee as Zeboim? mine heart is turned within me, my repentings are kindled together.(KJV-1611) Hos 11:8 Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.(Creole-HT) ======= Hosea 11:9 ============ Hos 11:9 I will not execute the fierceness of mine anger, I will not return to destroy Ephraim: for I am God, and not man; the Holy One in the midst of thee: and I will not enter into the city.(KJV-1611) Hos 11:9 Mwen p'ap fè sa m' te di mwen t'ap fè lè m' te ankòlè a. Mwen p'ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p'ap fè kòlè pou m' vin detwi nou.(Creole-HT) ======= Hosea 11:10 ============ Hos 11:10 They shall walk after the LORD: he shall roar like a lion: when he shall roar, then the children shall tremble from the west.(KJV-1611) Hos 11:10 Y'a pran mache dèyè m' ankò. Lè m'a gwonde tankou yon lyon, y'a tranble kou fèy bwa, y'a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y'a vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 11:11 ============ Hos 11:11 They shall tremble as a bird out of Egypt, and as a dove out of the land of Assyria: and I will place them in their houses, saith the LORD.(KJV-1611) Hos 11:11 Y'a vole tankou zwazo, y'a kouri kite peyi Lejip. Y'a pran zèl tankou toutrèl, y'a kouri kite peyi Lasiri. M'a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Hosea 11:12 ============ Hos 11:12 Ephraim compasseth me about with lies, and the house of Israel with deceit: but Judah yet ruleth with God, and is faithful with the saints.(KJV-1611) Hos 11:12 Seyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m' anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m' ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m' toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa!(Creole-HT) ======= Hosea 12:1 ============ Hos 12:1 Ephraim feedeth on wind, and followeth after the east wind: he daily increaseth lies and desolation; and they do make a covenant with the Assyrians, and oil is carried into Egypt.(KJV-1611) Hos 12:1 Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Hosea 12:2 ============ Hos 12:2 The LORD hath also a controversy with Judah, and will punish Jacob according to his ways; according to his doings will he recompense him.(KJV-1611) Hos 12:2 Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.(Creole-HT) ======= Hosea 12:3 ============ Hos 12:3 He took his brother by the heel in the womb, and by his strength he had power with God:(KJV-1611) Hos 12:3 Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.(Creole-HT) ======= Hosea 12:4 ============ Hos 12:4 Yea, he had power over the angel, and prevailed: he wept, and made supplication unto him: he found him in Bethel, and there he spake with us;(KJV-1611) Hos 12:4 Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.(Creole-HT) ======= Hosea 12:5 ============ Hos 12:5 Even the LORD God of hosts; the LORD is his memorial.(KJV-1611) Hos 12:5 Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.(Creole-HT) ======= Hosea 12:6 ============ Hos 12:6 Therefore turn thou to thy God: keep mercy and judgment and wait on thy God continually.(KJV-1611) Hos 12:6 Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l'. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.(Creole-HT) ======= Hosea 12:7 ============ Hos 12:7 He is a merchant, the balances of deceit are in his hand: he loveth to oppress.(KJV-1611) Hos 12:7 Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa.(Creole-HT) ======= Hosea 12:8 ============ Hos 12:8 And Ephraim said, Yet I am become rich, I have found me out substance: in all my labours they shall find none iniquity in me that were sin.(KJV-1611) Hos 12:8 Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!(Creole-HT) ======= Hosea 12:9 ============ Hos 12:9 And I that am the LORD thy God from the land of Egypt will yet make thee to dwell in tabernacles, as in the days of the solemn feast.(KJV-1611) Hos 12:9 Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l' lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a.(Creole-HT) ======= Hosea 12:10 ============ Hos 12:10 I have also spoken by the prophets, and I have multiplied visions, and used similitudes, by the ministry of the prophets.(KJV-1611) Hos 12:10 Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen.(Creole-HT) ======= Hosea 12:11 ============ Hos 12:11 Is there iniquity in Gilead? surely they are vanity: they sacrifice bullocks in Gilgal; yea, their altars are as heaps in the furrows of the fields.(KJV-1611) Hos 12:11 Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare.(Creole-HT) ======= Hosea 12:12 ============ Hos 12:12 And Jacob fled into the country of Syria, and Israel served for a wife, and for a wife he kept sheep.(KJV-1611) Hos 12:12 Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l' te la, li te travay pou moun pou l' te ka jwenn yon fanm pou l' marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l' te ka jwenn yon fanm.(Creole-HT) ======= Hosea 12:13 ============ Hos 12:13 And by a prophet the LORD brought Israel out of Egypt, and by a prophet was he preserved.(KJV-1611) Hos 12:13 Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.(Creole-HT) ======= Hosea 12:14 ============ Hos 12:14 Ephraim provoked him to anger most bitterly: therefore shall he leave his blood upon him, and his reproach shall his LORD return unto him.(KJV-1611) Hos 12:14 Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l' wont la.(Creole-HT) ======= Hosea 13:1 ============ Hos 13:1 When Ephraim spake trembling, he exalted himself in Israel; but when he offended in Baal, he died.(KJV-1611) Hos 13:1 Nan tan lontan, lè moun Efrayim yo te pale, tout moun te pran tranble. Yo te rive chèf sou tout lòt branch fanmi Izrayèl la. Men, y' al fè sa ki mal. Y' al adore Baal. Se poutèt sa yo pèdi pye.(Creole-HT) ======= Hosea 13:2 ============ Hos 13:2 And now they sin more and more, and have made them molten images of their silver, and idols according to their own understanding, all of it the work of the craftsmen: they say of them, Let the men that sacrifice kiss the calves.(KJV-1611) Hos 13:2 Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf!(Creole-HT) ======= Hosea 13:3 ============ Hos 13:3 Therefore they shall be as the morning cloud and as the early dew that passeth away, as the chaff that is driven with the whirlwind out of the floor, and as the smoke out of the chimney.(KJV-1611) Hos 13:3 Konsa, moun sa yo ap disparèt tankou yon vapè ki leve granmaten, tankou lawouze lè solèy fin leve. Y'ap tankou pay van an ap leve soti sou glasi. Y'ap tankou lafimen k'ap soti nan yon fetay kizin.(Creole-HT) ======= Hosea 13:4 ============ Hos 13:4 Yet I am the LORD thy God from the land of Egypt, and thou shalt know no god but me: for there is no saviour beside me.(KJV-1611) Hos 13:4 Seyè a di ankò: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè soti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou.(Creole-HT) ======= Hosea 13:5 ============ Hos 13:5 I did know thee in the wilderness, in the land of great drought.(KJV-1611) Hos 13:5 Mwen te okipe ou lè ou te nan dezè a, nan peyi ki pa gen dlo menm lan.(Creole-HT) ======= Hosea 13:6 ============ Hos 13:6 According to their pasture, so were they filled; they were filled, and their heart was exalted; therefore have they forgotten me.(KJV-1611) Hos 13:6 Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m'.(Creole-HT) ======= Hosea 13:7 ============ Hos 13:7 Therefore I will be unto them as a lion: as a leopard by the way will I observe them:(KJV-1611) Hos 13:7 Se poutèt sa, m'ap tonbe sou yo tankou yon lyon. Tankou yon leyopa, mwen pral anbiske kò m' sou wout yo ap tann yo.(Creole-HT) ======= Hosea 13:8 ============ Hos 13:8 I will meet them as a bear that is bereaved of her whelps, and will rend the caul of their heart, and there will I devour them like a lion: the wild beast shall tear them.(KJV-1611) Hos 13:8 M'ap tonbe sou yo tankou yon manman lous yo pran pitit li. M'ap dechire yo. M'ap devore yo lamenm tankou yon fenmèl lyon. M'ap dechire yo tankou yon bèt nan bwa.(Creole-HT) ======= Hosea 13:9 ============ Hos 13:9 O Israel, thou hast destroyed thyself; but in me is thine help.(KJV-1611) Hos 13:9 M'ap detwi nou, nou menm pèp Izrayèl la, paske nou vire sou do mwen, mwen menm ki tout sekou nou.(Creole-HT) ======= Hosea 13:10 ============ Hos 13:10 I will be thy king: where is any other that may save thee in all thy cities? and thy judges of whom thou saidst, Give me a king and princes?(KJV-1611) Hos 13:10 Nou te mande pou yo ban nou yon wa ansanm ak lòt chèf. Men, kote wa ki pou te sove nou an? Kote tout chèf ki pou te defann nou yo?(Creole-HT) ======= Hosea 13:11 ============ Hos 13:11 I gave thee a king in mine anger, and took him away in my wrath.(KJV-1611) Hos 13:11 Mwen te fè kòlè, mwen te ban nou wa a. Men, apre sa, nou fè m' fache pi rèd, mwen wete l' nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Hosea 13:12 ============ Hos 13:12 The iniquity of Ephraim is bound up; his sin is hid.(KJV-1611) Hos 13:12 Mwen make tou sa Efrayim fè ki mal sou papye. Mwen sere l' byen lwen.(Creole-HT) ======= Hosea 13:13 ============ Hos 13:13 The sorrows of a travailing woman shall come upon him: he is an unwise son; for he should not stay long in the place of the breaking forth of children.(KJV-1611) Hos 13:13 Nan tout malè sa a, Efrayim te gen yon chans ankò pou l' ta sove. Men, li twò sòt, l'ap pèdi chans lan. Se tankou yon ti bebe ki rive sou dat pou l' fèt men ki pa vle soti nan vant manman l'.(Creole-HT) ======= Hosea 13:14 ============ Hos 13:14 I will ransom them from the power of the grave; I will redeem them from death: O death, I will be thy plagues; O grave, I will be thy destruction: repentance shall be hid from mine eyes.(KJV-1611) Hos 13:14 Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.(Creole-HT) ======= Hosea 13:15 ============ Hos 13:15 Though he be fruitful among his brethren, an east wind shall come, the wind of the LORD shall come up from the wilderness, and his spring shall become dry, and his fountain shall be dried up: he shall spoil the treasure of all pleasant vessels.(KJV-1611) Hos 13:15 Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale.(Creole-HT) ======= Hosea 13:16 ============ Hos 13:16 Samaria shall become desolate; for she hath rebelled against her God: they shall fall by the sword: their infants shall be dashed in pieces, and their women with child shall be ripped up.(KJV-1611) Hos 13:16 Peyi Samari a pral peye pou sa l' fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y'ap pran pitit yo, y'ap kraze yo atè, y'ap fann vant fanm ansent yo.(Creole-HT) ======= Hosea 14:1 ============ Hos 14:1 O israel, return unto the LORD thy God; for thou hast fallen by thine iniquity.(KJV-1611) Hos 14:1 Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.(Creole-HT) ======= Hosea 14:2 ============ Hos 14:2 Take with you words, and turn to the LORD: say unto him, Take away all iniquity, and receive us graciously: so will we render the calves of our lips.(KJV-1611) Hos 14:2 Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.(Creole-HT) ======= Hosea 14:3 ============ Hos 14:3 Asshur shall not save us; we will not ride upon horses: neither will we say any more to the work of our hands, Ye are our gods: for in thee the fatherless findeth mercy.(KJV-1611) Hos 14:3 Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.(Creole-HT) ======= Hosea 14:4 ============ Hos 14:4 I will heal their backsliding, I will love them freely: for mine anger is turned away from him.(KJV-1611) Hos 14:4 Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.(Creole-HT) ======= Hosea 14:5 ============ Hos 14:5 I will be as the dew unto Israel: he shall grow as the lily, and cast forth his roots as Lebanon.(KJV-1611) Hos 14:5 M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.(Creole-HT) ======= Hosea 14:6 ============ Hos 14:6 His branches shall spread, and his beauty shall be as the olive tree, and his smell as Lebanon.(KJV-1611) Hos 14:6 Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.(Creole-HT) ======= Hosea 14:7 ============ Hos 14:7 They that dwell under his shadow shall return; they shall revive as the corn, and grow as the vine: the scent thereof shall be as the wine of Lebanon.(KJV-1611) Hos 14:7 Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m' pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban.(Creole-HT) ======= Hosea 14:8 ============ Hos 14:8 Ephraim shall say, What have I to do any more with idols? I have heard him, and observed him: I am like a green fir tree. From me is thy fruit found.(KJV-1611) Hos 14:8 Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.(Creole-HT) ======= Hosea 14:9 ============ Hos 14:9 Who is wise, and he shall understand these things? prudent, and he shall know them? for the ways of the LORD are right, and the just shall walk in them: but the transgressors shall fall therein.(KJV-1611) Hos 14:9 Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.(Creole-HT) ======= Joel 1:1 ============ Joe 1:1 The word of the LORD that came to Joel the son of Pethuel.(KJV-1611) Joe 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Joèl, pitit gason Petwèl la.(Creole-HT) ======= Joel 1:2 ============ Joe 1:2 Hear this, ye old men, and give ear, all ye inhabitants of the land. Hath this been in your days, or even in the days of your fathers?(KJV-1611) Joe 1:2 Nou menm vye granmoun yo, koute byen! Nou menm ki rete nan peyi Jida a, louvri zòrèy nou! Eske nan tan pa nou, osinon nan tan zansèt nou yo bagay konsa te janm rive?(Creole-HT) ======= Joel 1:3 ============ Joe 1:3 Tell ye your children of it, and let your children tell their children, and their children another generation.(KJV-1611) Joe 1:3 N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l' bay moun k'ap vin apre yo.(Creole-HT) ======= Joel 1:4 ============ Joe 1:4 That which the palmerworm hath left hath the locust eaten; and that which the locust hath left hath the cankerworm eaten; and that which the cankerworm hath left hath the caterpiller eaten.(KJV-1611) Joe 1:4 Sa jenn ti krikèt yo kite, gwo krikèt devore sa. Sa gwo krikèt yo kite, ti chini devore sa. Sa ti chini yo kite, gwo chini devore sa.(Creole-HT) ======= Joel 1:5 ============ Joe 1:5 Awake, ye drunkards, and weep; and howl, all ye drinkers of wine, because of the new wine; for it is cut off from your mouth.(KJV-1611) Joe 1:5 Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.(Creole-HT) ======= Joel 1:6 ============ Joe 1:6 For a nation is come up upon my land, strong, and without number, whose teeth are the teeth of a lion, and he hath the cheek teeth of a great lion.(KJV-1611) Joe 1:6 Yon lame krikèt atake peyi nou an. Yo gwonèg, moun pa ka konte yo. Dan yo tankou dan lyon, kwòk dan yo tankou dan femèl lyon.(Creole-HT) ======= Joel 1:7 ============ Joe 1:7 He hath laid my vine waste, and barked my fig tree: he hath made it clean bare, and cast it away; the branches thereof are made white.(KJV-1611) Joe 1:7 Yo fini ak jaden rezen nou yo. Yo manje tout pye fig frans nou yo. Yo wete tout kòs pye fig frans yo voye jete atè. Branch pye rezen yo rete kanpe tou blan.(Creole-HT) ======= Joel 1:8 ============ Joe 1:8 Lament like a virgin girded with sackcloth for the husband of her youth.(KJV-1611) Joe 1:8 Nou menm pèp la, nou mèt plenn, tankou yon jenn fi, rad sak li sou li, k'ap plenn lanmò fiyanse l'.(Creole-HT) ======= Joel 1:9 ============ Joe 1:9 The meat offering and the drink offering is cut off from the house of the LORD; the priests, the LORD's ministers, mourn.(KJV-1611) Joe 1:9 Pa gen grenn jaden, ni diven pou fè ofrann nan tanp Seyè a. Prèt yo, sèvitè Seyè a, nan lapenn.(Creole-HT) ======= Joel 1:10 ============ Joe 1:10 The field is wasted, the land mourneth; for the corn is wasted: the new wine is dried up, the oil languisheth.(KJV-1611) Joe 1:10 Tout jaden yo blanch. Tè a nan lapenn. Tout pye ble yo fin mouri. Pye rezen yo cheche. Pye oliv yo rabougri.(Creole-HT) ======= Joel 1:11 ============ Joe 1:11 Be ye ashamed, O ye husbandmen; howl, O ye vinedressers, for the wheat and for the barley; because the harvest of the field is perished.(KJV-1611) Joe 1:11 Kiltivatè yo pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden rezen yo ap plenn paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt yo pèdi nèt.(Creole-HT) ======= Joel 1:12 ============ Joe 1:12 The vine is dried up, and the fig tree languisheth; the pomegranate tree, the palm tree also, and the apple tree, even all the trees of the field, are withered: because joy is withered away from the sons of men.(KJV-1611) Joe 1:12 Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò.(Creole-HT) ======= Joel 1:13 ============ Joe 1:13 Gird yourselves, and lament, ye priests: howl, ye ministers of the altar: come, lie all night in sackcloth, ye ministers of my God: for the meat offering and the drink offering is withholden from the house of your God.(KJV-1611) Joe 1:13 Nou menm prèt yo, mete rad sak sou nou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, mare ren nou. Ale nan tanp lan, pase nwit lan ak rad sak sou nou. Nou menm k'ap fè sèvis pou Bondye m' lan, nou nan lapenn. Pa gen grenn jaden, pa gen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Joel 1:14 ============ Joe 1:14 Sanctify ye a fast, call a solemn assembly, gather the elders and all the inhabitants of the land into the house of the LORD your God, and cry unto the LORD,(KJV-1611) Joe 1:14 Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Seyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= Joel 1:15 ============ Joe 1:15 Alas for the day! for the day of the LORD is at hand, and as a destruction from the Almighty shall it come.(KJV-1611) Joe 1:15 Ala yon gwo jou papa! Jou Seyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.(Creole-HT) ======= Joel 1:16 ============ Joe 1:16 Is not the meat cut off before our eyes, yea, joy and gladness from the house of our God?(KJV-1611) Joe 1:16 N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Joel 1:17 ============ Joe 1:17 The seed is rotten under their clods, the garners are laid desolate, the barns are broken down; for the corn is withered.(KJV-1611) Joe 1:17 Grenn yo plante yo rete anba tè. Kay depo yo fin kraze. Galata yo vid. Pa gen rekòt pou mete ladan yo.(Creole-HT) ======= Joel 1:18 ============ Joe 1:18 How do the beasts groan! the herds of cattle are perplexed, because they have no pasture; yea, the flocks of sheep are made desolate.(KJV-1611) Joe 1:18 Zannimo yo ap plenn, bann bèf yo pa konn kote pou yo ale. Yo pa jwenn anyen pou yo manje nan savann. Ata mouton yo ap soufri grangou.(Creole-HT) ======= Joel 1:19 ============ Joe 1:19 O LORD, to thee will I cry: for the fire hath devoured the pastures of the wilderness, and the flame hath burned all the trees of the field.(KJV-1611) Joe 1:19 Seyè, m'ap rele nan pye ou! paske chechrès la fini ak jaden zèb yo. Ou ta di se dife ki boule tout pyebwa yo!(Creole-HT) ======= Joel 1:20 ============ Joe 1:20 The beasts of the field cry also unto thee: for the rivers of waters are dried up, and the fire hath devoured the pastures of the wilderness.(KJV-1611) Joe 1:20 Ata zannimo nan savann yo ap rele nan pye ou, paske tout larivyè yo chèch nèt. Dife boule tout zèb nan savann yo.(Creole-HT) ======= Joel 2:1 ============ Joe 2:1 Blow ye the trumpet in Zion, and sound an alarm in my holy mountain: let all the inhabitants of the land tremble: for the day of the LORD cometh, for it is nigh at hand;(KJV-1611) Joe 2:1 Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.(Creole-HT) ======= Joel 2:2 ============ Joe 2:2 A day of darkness and of gloominess, a day of clouds and of thick darkness, as the morning spread upon the mountains: a great people and a strong; there hath not been ever the like, neither shall be any more after it, even to the years of many generations.(KJV-1611) Joe 2:2 Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Joel 2:3 ============ Joe 2:3 A fire devoureth before them; and behind them a flame burneth: the land is as the garden of Eden before them, and behind them a desolate wilderness; yea, and nothing shall escape them.(KJV-1611) Joe 2:3 Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo.(Creole-HT) ======= Joel 2:4 ============ Joe 2:4 The appearance of them is as the appearance of horses; and as horsemen, so shall they run.(KJV-1611) Joe 2:4 Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl.(Creole-HT) ======= Joel 2:5 ============ Joe 2:5 Like the noise of chariots on the tops of mountains shall they leap, like the noise of a flame of fire that devoureth the stubble, as a strong people set in battle array.(KJV-1611) Joe 2:5 Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen.(Creole-HT) ======= Joel 2:6 ============ Joe 2:6 Before their face the people shall be much pained: all faces shall gather blackness.(KJV-1611) Joe 2:6 Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze.(Creole-HT) ======= Joel 2:7 ============ Joe 2:7 They shall run like mighty men; they shall climb the wall like men of war; and they shall march every one on his ways, and they shall not break their ranks:(KJV-1611) Joe 2:7 Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch.(Creole-HT) ======= Joel 2:8 ============ Joe 2:8 Neither shall one thrust another; they shall walk every one in his path: and when they fall upon the sword, they shall not be wounded.(KJV-1611) Joe 2:8 Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo.(Creole-HT) ======= Joel 2:9 ============ Joe 2:9 They shall run to and fro in the city; they shall run upon the wall, they shall climb up upon the houses; they shall enter in at the windows like a thief.(KJV-1611) Joe 2:9 Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò.(Creole-HT) ======= Joel 2:10 ============ Joe 2:10 The earth shall quake before them; the heavens shall tremble: the sun and the moon shall be dark, and the stars shall withdraw their shining:(KJV-1611) Joe 2:10 Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.(Creole-HT) ======= Joel 2:11 ============ Joe 2:11 And the LORD shall utter his voice before his army: for his camp is very great: for he is strong that executeth his word: for the day of the LORD is great and very terrible; and who can abide it?(KJV-1611) Joe 2:11 Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?(Creole-HT) ======= Joel 2:12 ============ Joe 2:12 Therefore also now, saith the LORD, turn ye even to me with all your heart, and with fasting, and with weeping, and with mourning:(KJV-1611) Joe 2:12 Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!(Creole-HT) ======= Joel 2:13 ============ Joe 2:13 And rend your heart, and not your garments, and turn unto the LORD your God: for he is gracious and merciful, slow to anger, and of great kindness, and repenteth him of the evil.(KJV-1611) Joe 2:13 Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.(Creole-HT) ======= Joel 2:14 ============ Joe 2:14 Who knoweth if he will return and repent, and leave a blessing behind him; even a meat offering and a drink offering unto the LORD your God?(KJV-1611) Joe 2:14 Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Joel 2:15 ============ Joe 2:15 Blow the trumpet in Zion, sanctify a fast, call a solemn assembly:(KJV-1611) Joe 2:15 Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!(Creole-HT) ======= Joel 2:16 ============ Joe 2:16 Gather the people, sanctify the congregation, assemble the elders, gather the children, and those that suck the breasts: let the bridegroom go forth of his chamber, and the bride out of her closet.(KJV-1611) Joe 2:16 Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.(Creole-HT) ======= Joel 2:17 ============ Joe 2:17 Let the priests, the ministers of the LORD, weep between the porch and the altar, and let them say, Spare thy people, O LORD, and give not thine heritage to reproach, that the heathen should rule over them: wherefore should they say among the people, Where is their God?(KJV-1611) Joe 2:17 Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a?(Creole-HT) ======= Joel 2:18 ============ Joe 2:18 Then will the LORD be jealous for his land, and pity his people.(KJV-1611) Joe 2:18 Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.(Creole-HT) ======= Joel 2:19 ============ Joe 2:19 Yea, the LORD will answer and say unto his people, Behold, I will send you corn, and wine, and oil, and ye shall be satisfied therewith: and I will no more make you a reproach among the heathen:(KJV-1611) Joe 2:19 Li reponn, li di pèp la konsa: -Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.(Creole-HT) ======= Joel 2:20 ============ Joe 2:20 But I will remove far off from you the northern army, and will drive him into a land barren and desolate, with his face toward the east sea, and his hinder part toward the utmost sea, and his stink shall come up, and his ill savour shall come up, because he hath done great things.(KJV-1611) Joe 2:20 Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.(Creole-HT) ======= Joel 2:21 ============ Joe 2:21 Fear not, O land; be glad and rejoice: for the LORD will do great things.(KJV-1611) Joe 2:21 Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou!(Creole-HT) ======= Joel 2:22 ============ Joe 2:22 Be not afraid, ye beasts of the field: for the pastures of the wilderness do spring, for the tree beareth her fruit, the fig tree and the vine do yield their strength.(KJV-1611) Joe 2:22 Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.(Creole-HT) ======= Joel 2:23 ============ Joe 2:23 Be glad then, ye children of Zion, and rejoice in the LORD your God: for he hath given you the former rain moderately, and he will cause to come down for you the rain, the former rain, and the latter rain in the first month.(KJV-1611) Joe 2:23 Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an.(Creole-HT) ======= Joel 2:24 ============ Joe 2:24 And the floors shall be full of wheat, and the vats shall overflow with wine and oil.(KJV-1611) Joe 2:24 Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.(Creole-HT) ======= Joel 2:25 ============ Joe 2:25 And I will restore to you the years that the locust hath eaten, the cankerworm, and the caterpiller, and the palmerworm, my great army which I sent among you.(KJV-1611) Joe 2:25 M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.(Creole-HT) ======= Joel 2:26 ============ Joe 2:26 And ye shall eat in plenty, and be satisfied, and praise the name of the LORD your God, that hath dealt wondrously with you: and my people shall never be ashamed.(KJV-1611) Joe 2:26 Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.(Creole-HT) ======= Joel 2:27 ============ Joe 2:27 And ye shall know that I am in the midst of Israel, and that I am the LORD your God, and none else: and my people shall never be ashamed.(KJV-1611) Joe 2:27 Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m'. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.(Creole-HT) ======= Joel 2:28 ============ Joe 2:28 And it shall come to pass afterward, that I will pour out my spirit upon all flesh; and your sons and your daughters shall prophesy, your old men shall dream dreams, your young men shall see visions:(KJV-1611) Joe 2:28 Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.(Creole-HT) ======= Joel 2:29 ============ Joe 2:29 And also upon the servants and upon the handmaids in those days will I pour out my spirit.(KJV-1611) Joe 2:29 Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.(Creole-HT) ======= Joel 2:30 ============ Joe 2:30 And I will shew wonders in the heavens and in the earth, blood, and fire, and pillars of smoke.(KJV-1611) Joe 2:30 M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.(Creole-HT) ======= Joel 2:31 ============ Joe 2:31 The sun shall be turned into darkness, and the moon into blood, before the great and terrible day of the LORD come.(KJV-1611) Joe 2:31 Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.(Creole-HT) ======= Joel 2:32 ============ Joe 2:32 And it shall come to pass, that whosoever shall call on the name of the LORD shall be delivered: for in mount Zion and in Jerusalem shall be deliverance, as the LORD hath said, and in the remnant whom the LORD shall call.(KJV-1611) Joe 2:32 Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.(Creole-HT) ======= Joel 3:1 ============ Joe 3:1 For, behold, in those days, and in that time, when I shall bring again the captivity of Judah and Jerusalem,(KJV-1611) Joe 3:1 Seyè a di ankò: -Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.(Creole-HT) ======= Joel 3:2 ============ Joe 3:2 I will also gather all nations, and will bring them down into the valley of Jehoshaphat, and will plead with them there for my people and for my heritage Israel, whom they have scattered among the nations, and parted my land.(KJV-1611) Joe 3:2 Apre sa, m'a sanble tout nasyon yo. M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa m' yo. Paske, se yo ki te gaye moun pèp Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo te separe peyi mwen an.(Creole-HT) ======= Joel 3:3 ============ Joe 3:3 And they have cast lots for my people; and have given a boy for an harlot, and sold a girl for wine, that they might drink.(KJV-1611) Joe 3:3 Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.(Creole-HT) ======= Joel 3:4 ============ Joe 3:4 Yea, and what have ye to do with me, O Tyre, and Zidon, and all the coasts of Palestine? will ye render me a recompence? and if ye recompense me, swiftly and speedily will I return your recompence upon your own head;(KJV-1611) Joe 3:4 Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m' konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m' peye pou sa m' te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa.(Creole-HT) ======= Joel 3:5 ============ Joe 3:5 Because ye have taken my silver and my gold, and have carried into your temples my goodly pleasant things:(KJV-1611) Joe 3:5 Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo.(Creole-HT) ======= Joel 3:6 ============ Joe 3:6 The children also of Judah and the children of Jerusalem have ye sold unto the Grecians, that ye might remove them far from their border.(KJV-1611) Joe 3:6 Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n' al vann yo bay moun peyi Lagrès.(Creole-HT) ======= Joel 3:7 ============ Joe 3:7 Behold, I will raise them out of the place whither ye have sold them, and will return your recompence upon your own head:(KJV-1611) Joe 3:7 Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.(Creole-HT) ======= Joel 3:8 ============ Joe 3:8 And I will sell your sons and your daughters into the hand of the children of Judah, and they shall sell them to the Sabeans, to a people far off: for the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Joe 3:8 Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Joel 3:9 ============ Joe 3:9 Proclaim ye this among the Gentiles; Prepare war, wake up the mighty men, let all the men of war draw near; let them come up:(KJV-1611) Joe 3:9 Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n' al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Sanble tout sòlda yo! Fè yo mache pran yo!(Creole-HT) ======= Joel 3:10 ============ Joe 3:10 Beat your plowshares into swords and your pruninghooks into spears: let the weak say, I am strong.(KJV-1611) Joe 3:10 Pran lam fè ki nan chari nou yo fè nepe. Pran kouto digo nou yo, fè fwenn ak yo. Menm moun ki pi fèb yo pral di yo vanyan gason.(Creole-HT) ======= Joel 3:11 ============ Joe 3:11 Assemble yourselves, and come, all ye heathen, and gather yourselves together round about: thither cause thy mighty ones to come down, O LORD.(KJV-1611) Joe 3:11 Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!(Creole-HT) ======= Joel 3:12 ============ Joe 3:12 Let the heathen be wakened, and come up to the valley of Jehoshaphat: for there will I sit to judge all the heathen round about.(KJV-1611) Joe 3:12 Se pou tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m' jije tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a.(Creole-HT) ======= Joel 3:13 ============ Joe 3:13 Put ye in the sickle, for the harvest is ripe: come, get you down; for the press is full, the fats overflow; for their wickedness is great.(KJV-1611) Joe 3:13 Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou lè n'ap ranmase rekòt ki mi. Kraze yo anba pye nou tankou lè n'ap kraze rezen nan basen pou fè diven. Barik ji rezen yo plen ap debòde.(Creole-HT) ======= Joel 3:14 ============ Joe 3:14 Multitudes, multitudes in the valley of decision: for the day of the LORD is near in the valley of decision.(KJV-1611) Joe 3:14 Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Seyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an.(Creole-HT) ======= Joel 3:15 ============ Joe 3:15 The sun and the moon shall be darkened, and the stars shall withdraw their shining.(KJV-1611) Joe 3:15 Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la.(Creole-HT) ======= Joel 3:16 ============ Joe 3:16 The LORD also shall roar out of Zion, and utter his voice from Jerusalem; and the heavens and the earth shall shake: but the LORD will be the hope of his people, and the strength of the children of Israel.(KJV-1611) Joe 3:16 Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Joel 3:17 ============ Joe 3:17 So shall ye know that I am the LORD your God dwelling in Zion, my holy mountain: then shall Jerusalem be holy, and there shall no strangers pass through her any more.(KJV-1611) Joe 3:17 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.(Creole-HT) ======= Joel 3:18 ============ Joe 3:18 And it shall come to pass in that day, that the mountains shall drop down new wine, and the hills shall flow with milk, and all the rivers of Judah shall flow with waters, and a fountain shall come forth out of the house of the LORD, and shall water the valley of Shittim.(KJV-1611) Joe 3:18 Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule soti nan kay Seyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.(Creole-HT) ======= Joel 3:19 ============ Joe 3:19 Egypt shall be a desolation, and Edom shall be a desolate wilderness, for the violence against the children of Judah, because they have shed innocent blood in their land.(KJV-1611) Joe 3:19 Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Joel 3:20 ============ Joe 3:20 But Judah shall dwell for ever, and Jerusalem from generation to generation.(KJV-1611) Joe 3:20 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Joel 3:21 ============ Joe 3:21 For I will cleanse their blood that I have not cleansed: for the LORD dwelleth in Zion.(KJV-1611) Joe 3:21 Men, m'a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Seyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.(Creole-HT) ======= Amos 1:1 ============ Amo 1:1 The words of Amos, who was among the herdmen of Tekoa, which he saw concerning Israel in the days of Uzziah king of Judah, and in the days of Jeroboam the son of Joash king of Israel, two years before the earthquake.(KJV-1611) Amo 1:1 Men mesaj Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l' konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Amos 1:2 ============ Amo 1:2 And he said, The LORD will roar from Zion, and utter his voice from Jerusalem; and the habitations of the shepherds shall mourn, and the top of Carmel shall wither.(KJV-1611) Amo 1:2 Amòs di: -Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, li pale byen fò. Lamenm, savann mouton yo fennen. Zèb ki sou tèt mòn Kamèl la cheche.(Creole-HT) ======= Amos 1:3 ============ Amo 1:3 Thus saith the LORD; For three transgressions of Damascus, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they have threshed Gilead with threshing instruments of iron:(KJV-1611) Amo 1:3 Seyè a di konsa: Moun peyi Damas yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo maltrete moun peyi Galarad yo. Yo krabinen yo anba kout baton fè.(Creole-HT) ======= Amos 1:4 ============ Amo 1:4 But I will send a fire into the house of Hazael, which shall devour the palaces of Benhadad.(KJV-1611) Amo 1:4 M'ap voye dife sou kay kote wa Azayèl rete a. Dife a ap boule gwo kay wa Bennadad la ra tè.(Creole-HT) ======= Amos 1:5 ============ Amo 1:5 I will break also the bar of Damascus, and cut off the inhabitant from the plain of Aven, and him that holdeth the sceptre from the house of Eden: and the people of Syria shall go into captivity unto Kir, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 1:5 M'ap kraze pòtay lavil Damas la miyèt moso. M'ap disparèt moun ki rete nan Fon Avenn ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan. Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 1:6 ============ Amo 1:6 Thus saith the LORD; For three transgressions of Gaza, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they carried away captive the whole captivity, to deliver them up to Edom:(KJV-1611) Amo 1:6 Seyè a di konsa: Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.(Creole-HT) ======= Amos 1:7 ============ Amo 1:7 But I will send a fire on the wall of Gaza, which shall devour the palaces thereof:(KJV-1611) Amo 1:7 M'ap voye dife sou miray lavil Gaza. L'ap boule gwo kay yo ra tè.(Creole-HT) ======= Amos 1:8 ============ Amo 1:8 And I will cut off the inhabitant from Ashdod, and him that holdeth the sceptre from Ashkelon, and I will turn mine hand against Ekron: and the remnant of the Philistines shall perish, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Amo 1:8 M'ap disparèt moun ki kòmande lavil Asdòd ansanm ak chèf ki rete nan lavil Askalon an. M'ap pini lavil Ekwon an. Tout rès moun Filisti yo pral mouri. Se Seyè a menm, Bondye a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 1:9 ============ Amo 1:9 Thus saith the LORD; For three transgressions of Tyrus, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they delivered up the whole captivity to Edom, and remembered not the brotherly covenant:(KJV-1611) Amo 1:9 Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè.(Creole-HT) ======= Amos 1:10 ============ Amo 1:10 But I will send a fire on the wall of Tyrus, which shall devour the palaces thereof.(KJV-1611) Amo 1:10 Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir. L'ap boule gwo kay li yo ra tè.(Creole-HT) ======= Amos 1:11 ============ Amo 1:11 Thus saith the LORD; For three transgressions of Edom, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because he did pursue his brother with the sword, and did cast off all pity, and his anger did tear perpetually, and he kept his wrath for ever:(KJV-1611) Amo 1:11 Seyè a di konsa: Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo. Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit. Yo toujou kenbe yo nan kè yo.(Creole-HT) ======= Amos 1:12 ============ Amo 1:12 But I will send a fire upon Teman, which shall devour the palaces of Bozrah.(KJV-1611) Amo 1:12 Se poutèt sa, m'ap voye dife nan lavil Teman. L'a boule gwo kay lavil Bozra yo ra tè.(Creole-HT) ======= Amos 1:13 ============ Amo 1:13 Thus saith the LORD; For three transgressions of the children of Ammon, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they have ripped up the women with child of Gilead, that they might enlarge their border:(KJV-1611) Amo 1:13 Seyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.(Creole-HT) ======= Amos 1:14 ============ Amo 1:14 But I will kindle a fire in the wall of Rabbah, and it shall devour the palaces thereof, with shouting in the day of battle, with a tempest in the day of the whirlwind:(KJV-1611) Amo 1:14 Se poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba. L'a boule gwo kay yo ra tè. Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo, tankou bri van siklòn k'ap pase.(Creole-HT) ======= Amos 1:15 ============ Amo 1:15 And their king shall go into captivity, he and his princes together, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 1:15 Y'a fè wa yo ak tout chèf yo prizonye. Y'a depòte yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 2:1 ============ Amo 2:1 Thus saith the LORD; For three transgressions of Moab, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because he burned the bones of the king of Edom into lime:(KJV-1611) Amo 2:1 Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.(Creole-HT) ======= Amos 2:2 ============ Amo 2:2 But I will send a fire upon Moab, and it shall devour the palaces of Kirioth: and Moab shall die with tumult, with shouting, and with the sound of the trumpet:(KJV-1611) Amo 2:2 M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen.(Creole-HT) ======= Amos 2:3 ============ Amo 2:3 And I will cut off the judge from the midst thereof, and will slay all the princes thereof with him, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 2:3 M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 2:4 ============ Amo 2:4 Thus saith the LORD; For three transgressions of Judah, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they have despised the law of the LORD, and have not kept his commandments, and their lies caused them to err, after the which their fathers have walked:(KJV-1611) Amo 2:4 Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo.(Creole-HT) ======= Amos 2:5 ============ Amo 2:5 But I will send a fire upon Judah, and it shall devour the palaces of Jerusalem.(KJV-1611) Amo 2:5 Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè.(Creole-HT) ======= Amos 2:6 ============ Amo 2:6 Thus saith the LORD; For three transgressions of Israel, and for four, I will not turn away the punishment thereof; because they sold the righteous for silver, and the poor for a pair of shoes;(KJV-1611) Amo 2:6 Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.(Creole-HT) ======= Amos 2:7 ============ Amo 2:7 That pant after the dust of the earth on the head of the poor, and turn aside the way of the meek: and a man and his father will go in unto the same maid, to profane my holy name:(KJV-1611) Amo 2:7 Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.(Creole-HT) ======= Amos 2:8 ============ Amo 2:8 And they lay themselves down upon clothes laid to pledge by every altar, and they drink the wine of the condemned in the house of their god.(KJV-1611) Amo 2:8 Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.(Creole-HT) ======= Amos 2:9 ============ Amo 2:9 Yet destroyed I the Amorite before them, whose height was like the height of the cedars, and he was strong as the oaks; yet I destroyed his fruit from above, and his roots from beneath.(KJV-1611) Amo 2:9 Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.(Creole-HT) ======= Amos 2:10 ============ Amo 2:10 Also I brought you up from the land of Egypt, and led you forty years through the wilderness, to possess the land of the Amorite.(KJV-1611) Amo 2:10 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.(Creole-HT) ======= Amos 2:11 ============ Amo 2:11 And I raised up of your sons for prophets, and of your young men for Nazarites. Is it not even thus, O ye children of Israel? saith the LORD.(KJV-1611) Amo 2:11 Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 2:12 ============ Amo 2:12 But ye gave the Nazarites wine to drink; and commanded the prophets, saying, Prophesy not.(KJV-1611) Amo 2:12 Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la.(Creole-HT) ======= Amos 2:13 ============ Amo 2:13 Behold, I am pressed under you, as a cart is pressed that is full of sheaves.(KJV-1611) Amo 2:13 Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè.(Creole-HT) ======= Amos 2:14 ============ Amo 2:14 Therefore the flight shall perish from the swift, and the strong shall not strengthen his force, neither shall the mighty deliver himself:(KJV-1611) Amo 2:14 Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou.(Creole-HT) ======= Amos 2:15 ============ Amo 2:15 Neither shall he stand that handleth the bow; and he that is swift of foot shall not deliver himself: neither shall he that rideth the horse deliver himself.(KJV-1611) Amo 2:15 Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo.(Creole-HT) ======= Amos 2:16 ============ Amo 2:16 And he that is courageous among the mighty shall flee away naked in that day, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 2:16 Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 3:1 ============ Amo 3:1 Hear this word that the LORD hath spoken against you, O children of Israel, against the whole family which I brought up from the land of Egypt, saying,(KJV-1611) Amo 3:1 Nou menm pèp Izrayèl, tande mesaj Seyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Amos 3:2 ============ Amo 3:2 You only have I known of all the families of the earth: therefore I will punish you for all your iniquities.(KJV-1611) Amo 3:2 Nan tout pèp ki sou latè, se nou menm sèl mwen te chwazi, se nou menm ase mwen te okipe. Se poutèt sa, m'ap pini nou pou tout peche nou fè yo.(Creole-HT) ======= Amos 3:3 ============ Amo 3:3 Can two walk together, except they be agreed?(KJV-1611) Amo 3:3 Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?(Creole-HT) ======= Amos 3:4 ============ Amo 3:4 Will a lion roar in the forest, when he hath no prey? will a young lion cry out of his den, if he have taken nothing?(KJV-1611) Amo 3:4 Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gen tan jwenn sa pou l' manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li?(Creole-HT) ======= Amos 3:5 ============ Amo 3:5 Can a bird fall in a snare upon the earth, where no gin is for him? shall one take up a snare from the earth, and have taken nothing at all?(KJV-1611) Amo 3:5 Ou janm wè yon zwezo desann atè vin pran nan pèlen si yo pa mete manje nan pèlen an anvan? Ou janm wè yon pèlen pati si pa gen bèt ki pran ladan l'?(Creole-HT) ======= Amos 3:6 ============ Amo 3:6 Shall a trumpet be blown in the city, and the people not be afraid? shall there be evil in a city, and the LORD hath not done it?(KJV-1611) Amo 3:6 Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz?(Creole-HT) ======= Amos 3:7 ============ Amo 3:7 Surely the Lord GOD will do nothing, but he revealeth his secret unto his servants the prophets.(KJV-1611) Amo 3:7 Konsa tou, ou mèt sèten, Seyè a p'ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt yo, moun k'ap sèvi l' yo, konnen.(Creole-HT) ======= Amos 3:8 ============ Amo 3:8 The lion hath roared, who will not fear? the Lord GOD hath spoken, who can but prophesy?(KJV-1611) Amo 3:8 Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?(Creole-HT) ======= Amos 3:9 ============ Amo 3:9 Publish in the palaces at Ashdod, and in the palaces in the land of Egypt, and say, Assemble yourselves upon the mountains of Samaria, and behold the great tumults in the midst thereof, and the oppressed in the midst thereof.(KJV-1611) Amo 3:9 Men sa pou ou fè moun ki rete nan gwo kay peyi Lejip ak nan peyi Asdòd yo konnen: Nou tout, sanble sou mòn Samari yo. Vin wè ki kalite dezòd ki gen la, ki kantite krim k'ap fèt la.(Creole-HT) ======= Amos 3:10 ============ Amo 3:10 For they know not to do right, saith the LORD, who store up violence and robbery in their palaces.(KJV-1611) Amo 3:10 Yo pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun.(Creole-HT) ======= Amos 3:11 ============ Amo 3:11 Therefore thus saith the Lord GOD; An adversary there shall be even round about the land; and he shall bring down thy strength from thee, and thy palaces shall be spoiled.(KJV-1611) Amo 3:11 Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo.(Creole-HT) ======= Amos 3:12 ============ Amo 3:12 Thus saith the LORD; As the shepherd taketh out of the mouth of the lion two legs, or a piece of an ear; so shall the children of Israel be taken out that dwell in Samaria in the corner of a bed, and in Damascus in a couch.(KJV-1611) Amo 3:12 Seyè a di konsa: Lè yon lyon fin devore yon ti mouton, tou sa gadò a resi sove se renk de pye ak yon ti moso zòrèy. Konsa tou, se de twa nan moun pèp Izrayèl ki rete lavil Samari yo k'ap sove, yo menm ki rete nan yon ti kwen kay, sou yon moso kabann.(Creole-HT) ======= Amos 3:13 ============ Amo 3:13 Hear ye, and testify in the house of Jacob, saith the Lord GOD, the God of hosts,(KJV-1611) Amo 3:13 Koute byen. Avèti pitit pitit Jakòb yo. Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di:(Creole-HT) ======= Amos 3:14 ============ Amo 3:14 That in the day that I shall visit the transgressions of Israel upon him I will also visit the altars of Bethel: and the horns of the altar shall be cut off, and fall to the ground.(KJV-1611) Amo 3:14 Lè jou a rive pou m' pini pèp Izrayèl la pou peche l' yo, m'a detwi tout lotèl ki nan lavil Betèl la. Kòn lotèl yo ap kase, y'ap tonbe atè.(Creole-HT) ======= Amos 3:15 ============ Amo 3:15 And I will smite the winter house with the summer house; and the houses of ivory shall perish, and the great houses shall have an end, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 3:15 M'ap detwi kay yo fè pou sezon fredi ak kay yo fè pou sezon chalè. M'ap demoli kay yo fè ak ivwa yo ra tè. Tout gwo kay yo pral disparèt. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:1 ============ Amo 4:1 Hear this word, ye kine of Bashan, that are in the mountain of Samaria, which oppress the poor, which crush the needy, which say to their masters, Bring, and let us drink.(KJV-1611) Amo 4:1 Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè.(Creole-HT) ======= Amos 4:2 ============ Amo 4:2 The Lord GOD hath sworn by his holiness, that, lo, the days shall come upon you, that he will take you away with hooks, and your posterity with fishhooks.(KJV-1611) Amo 4:2 Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale.(Creole-HT) ======= Amos 4:3 ============ Amo 4:3 And ye shall go out at the breaches, every cow at that which is before her; and ye shall cast them into the palace, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:3 Y'a fè nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lòt. Y'ap voye nou jete deyò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:4 ============ Amo 4:4 Come to Bethel, and transgress; at Gilgal multiply transgression; and bring your sacrifices every morning, and your tithes after three years:(KJV-1611) Amo 4:4 Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou!(Creole-HT) ======= Amos 4:5 ============ Amo 4:5 And offer a sacrifice of thanksgiving with leaven, and proclaim and publish the free offerings: for this liketh you, O ye children of Israel, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Amo 4:5 Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:6 ============ Amo 4:6 And I also have given you cleanness of teeth in all your cities, and want of bread in all your places: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:6 Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:7 ============ Amo 4:7 And also I have withholden the rain from you, when there were yet three months to the harvest: and I caused it to rain upon one city, and caused it not to rain upon another city: one piece was rained upon, and the piece whereupon it rained not withered.(KJV-1611) Amo 4:7 Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.(Creole-HT) ======= Amos 4:8 ============ Amo 4:8 So two or three cities wandered unto one city, to drink water; but they were not satisfied: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:8 Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:9 ============ Amo 4:9 I have smitten you with blasting and mildew: when your gardens and your vineyards and your fig trees and your olive trees increased, the palmerworm devoured them: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:9 Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:10 ============ Amo 4:10 I have sent among you the pestilence after the manner of Egypt: your young men have I slain with the sword, and have taken away your horses; and I have made the stink of your camps to come up unto your nostrils: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:10 Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:11 ============ Amo 4:11 I have overthrown some of you, as God overthrew Sodom and Gomorrah, and ye were as a firebrand plucked out of the burning: yet have ye not returned unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 4:11 Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 4:12 ============ Amo 4:12 Therefore thus will I do unto thee, O Israel: and because I will do this unto thee, prepare to meet thy God, O Israel.(KJV-1611) Amo 4:12 Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an.(Creole-HT) ======= Amos 4:13 ============ Amo 4:13 For, lo, he that formeth the mountains, and createth the wind, and declareth unto man what is his thought, that maketh the morning darkness, and treadeth upon the high places of the earth, The LORD, The God of hosts, is his name.(KJV-1611) Amo 4:13 Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Amos 5:1 ============ Amo 5:1 Hear ye this word which I take up against you, even a lamentation, O house of Israel.(KJV-1611) Amo 5:1 Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:(Creole-HT) ======= Amos 5:2 ============ Amo 5:2 The virgin of Israel is fallen; she shall no more rise: she is forsaken upon her land; there is none to raise her up.(KJV-1611) Amo 5:2 Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pesonn pou ba l' men.(Creole-HT) ======= Amos 5:3 ============ Amo 5:3 For thus saith the Lord GOD; The city that went out by a thousand shall leave an hundred, and that which went forth by an hundred shall leave ten, to the house of Israel.(KJV-1611) Amo 5:3 Seyè a di konsa: Lè yon lavil nan peyi Izrayèl la voye mil se dis ase ki tounen.(Creole-HT) ======= Amos 5:4 ============ Amo 5:4 For thus saith the LORD unto the house of Israel, Seek ye me, and ye shall live:(KJV-1611) Amo 5:4 Seyè a pale ak pèp Izrayèl la, li di l' konsa: Tounen vin jwenn mwen, n'a gen lavi.(Creole-HT) ======= Amos 5:5 ============ Amo 5:5 But seek not Bethel, nor enter into Gilgal, and pass not to Beersheba: for Gilgal shall surely go into captivity, and Bethel shall come to nought.(KJV-1611) Amo 5:5 Pa al chache m' lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje.(Creole-HT) ======= Amos 5:6 ============ Amo 5:6 Seek the LORD, and ye shall live; lest he break out like fire in the house of Joseph, and devour it, and there be none to quench it in Bethel.(KJV-1611) Amo 5:6 Chache vin jwenn Seyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pesonn p'ap ka tenyen l'.(Creole-HT) ======= Amos 5:7 ============ Amo 5:7 Ye who turn judgment to wormwood, and leave off righteousness in the earth,(KJV-1611) Amo 5:7 Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!(Creole-HT) ======= Amos 5:8 ============ Amo 5:8 Seek him that maketh the seven stars and Orion, and turneth the shadow of death into the morning, and maketh the day dark with night: that calleth for the waters of the sea, and poureth them out upon the face of the earth: The LORD is his name:(KJV-1611) Amo 5:8 Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.(Creole-HT) ======= Amos 5:9 ============ Amo 5:9 That strengtheneth the spoiled against the strong, so that the spoiled shall come against the fortress.(KJV-1611) Amo 5:9 Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.(Creole-HT) ======= Amos 5:10 ============ Amo 5:10 They hate him that rebuketh in the gate, and they abhor him that speaketh uprightly.(KJV-1611) Amo 5:10 Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.(Creole-HT) ======= Amos 5:11 ============ Amo 5:11 Forasmuch therefore as your treading is upon the poor, and ye take from him burdens of wheat: ye have built houses of hewn stone, but ye shall not dwell in them; ye have planted pleasant vineyards, but ye shall not drink wine of them.(KJV-1611) Amo 5:11 Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.(Creole-HT) ======= Amos 5:12 ============ Amo 5:12 For I know your manifold transgressions and your mighty sins: they afflict the just, they take a bribe, and they turn aside the poor in the gate from their right.(KJV-1611) Amo 5:12 Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.(Creole-HT) ======= Amos 5:13 ============ Amo 5:13 Therefore the prudent shall keep silence in that time; for it is an evil time.(KJV-1611) Amo 5:13 Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.(Creole-HT) ======= Amos 5:14 ============ Amo 5:14 Seek good, and not evil, that ye may live: and so the LORD, the God of hosts, shall be with you, as ye have spoken.(KJV-1611) Amo 5:14 Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la.(Creole-HT) ======= Amos 5:15 ============ Amo 5:15 Hate the evil, and love the good, and establish judgment in the gate: it may be that the LORD God of hosts will be gracious unto the remnant of Joseph.(KJV-1611) Amo 5:15 Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.(Creole-HT) ======= Amos 5:16 ============ Amo 5:16 Therefore the LORD, the God of hosts, the LORD, saith thus; Wailing shall be in all streets; and they shall say in all the highways, Alas! alas! and they shall call the husbandman to mourning, and such as are skilful of lamentation to wailing.(KJV-1611) Amo 5:16 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.(Creole-HT) ======= Amos 5:17 ============ Amo 5:17 And in all vineyards shall be wailing: for I will pass through thee, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 5:17 Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 5:18 ============ Amo 5:18 Woe unto you that desire the day of the LORD! to what end is it for you? the day of the LORD is darkness, and not light.(KJV-1611) Amo 5:18 Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.(Creole-HT) ======= Amos 5:19 ============ Amo 5:19 As if a man did flee from a lion, and a bear met him; or went into the house, and leaned his hand on the wall, and a serpent bit him.(KJV-1611) Amo 5:19 Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l' sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mòde l'.(Creole-HT) ======= Amos 5:20 ============ Amo 5:20 Shall not the day of the LORD be darkness, and not light? even very dark, and no brightness in it?(KJV-1611) Amo 5:20 Jou Seyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.(Creole-HT) ======= Amos 5:21 ============ Amo 5:21 I hate, I despise your feast days, and I will not smell in your solemn assemblies.(KJV-1611) Amo 5:21 Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.(Creole-HT) ======= Amos 5:22 ============ Amo 5:22 Though ye offer me burnt offerings and your meat offerings, I will not accept them: neither will I regard the peace offerings of your fat beasts.(KJV-1611) Amo 5:22 Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi.(Creole-HT) ======= Amos 5:23 ============ Amo 5:23 Take thou away from me the noise of thy songs; for I will not hear the melody of thy viols.(KJV-1611) Amo 5:23 Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò.(Creole-HT) ======= Amos 5:24 ============ Amo 5:24 But let judgment run down as waters, and righteousness as a mighty stream.(KJV-1611) Amo 5:24 Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat.(Creole-HT) ======= Amos 5:25 ============ Amo 5:25 Have ye offered unto me sacrifices and offerings in the wilderness forty years, O house of Israel?(KJV-1611) Amo 5:25 Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato?(Creole-HT) ======= Amos 5:26 ============ Amo 5:26 But ye have borne the tabernacle of your Moloch and Chiun your images, the star of your god, which ye made to yourselves.(KJV-1611) Amo 5:26 Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a.(Creole-HT) ======= Amos 5:27 ============ Amo 5:27 Therefore will I cause you to go into captivity beyond Damascus, saith the LORD, whose name is The God of hosts.(KJV-1611) Amo 5:27 M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Seyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Amos 6:1 ============ Amo 6:1 Woe to them that are at ease in Zion, and trust in the mountain of Samaria, which are named chief of the nations, to whom the house of Israel came!(KJV-1611) Amo 6:1 Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di:(Creole-HT) ======= Amos 6:2 ============ Amo 6:2 Pass ye unto Calneh, and see; and from thence go ye to Hamath the great: then go down to Gath of the Philistines: be they better than these kingdoms? or their border greater than your border?(KJV-1611) Amo 6:2 Al gade sa k'ap pase lavil Kalne. Apre sa, ale pase bò gwo lavil Amat la. Lèfini, desann kay moun Filisti yo lavil Gat. Eske zafè yo pi bon pase zafè peyi Jida ak zafè peyi Izrayèl? Eske peyi yo a pi gran pase pa nou yo?(Creole-HT) ======= Amos 6:3 ============ Amo 6:3 Ye that put far away the evil day, and cause the seat of violence to come near;(KJV-1611) Amo 6:3 N'ap twonpe tèt nou, nou refize admèt jou malè a fin rive sou nou. Men, se nou menm ankò k'ap rale malè sou peyi a.(Creole-HT) ======= Amos 6:4 ============ Amo 6:4 That lie upon beds of ivory, and stretch themselves upon their couches, and eat the lambs out of the flock, and the calves out of the midst of the stall;(KJV-1611) Amo 6:4 Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!(Creole-HT) ======= Amos 6:5 ============ Amo 6:5 That chant to the sound of the viol, and invent to themselves instruments of musick, like David;(KJV-1611) Amo 6:5 Y'ap plede ranse pandan gita ap jwe. Yo kwè yo jwe mizik tankou David.(Creole-HT) ======= Amos 6:6 ============ Amo 6:6 That drink wine in bowls, and anoint themselves with the chief ointments: but they are not grieved for the affliction of Joseph.(KJV-1611) Amo 6:6 Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo.(Creole-HT) ======= Amos 6:7 ============ Amo 6:7 Therefore now shall they go captive with the first that go captive, and the banquet of them that stretched themselves shall be removed.(KJV-1611) Amo 6:7 Se poutèt sa, premye moun y'ap depòte se yo menm. Sosyete moun k'ap fè banbòch yo va disparèt.(Creole-HT) ======= Amos 6:8 ============ Amo 6:8 The Lord GOD hath sworn by himself, saith the LORD the God of hosts, I abhor the excellency of Jacob, and hate his palaces: therefore will I deliver up the city with all that is therein.(KJV-1611) Amo 6:8 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Amos 6:9 ============ Amo 6:9 And it shall come to pass, if there remain ten men in one house, that they shall die.(KJV-1611) Amo 6:9 Si gen dis gason nan yon kay ki rete, y'ap touye yo.(Creole-HT) ======= Amos 6:10 ============ Amo 6:10 And a man's uncle shall take him up, and he that burneth him, to bring out the bones out of the house, and shall say unto him that is by the sides of the house, Is there yet any with thee? and he shall say, No. Then shall he say, Hold thy tongue: for we may not make mention of the name of the LORD.(KJV-1611) Amo 6:10 Lè yon fanmi moun mouri a va vin pran kadav la anndan kay la pou li al antere l', l'a pale ak moun ki nan fon kay la, l'a mande: Eske gen moun la ankò ak ou? Yon vwa va reponn: Non, pa genyen. Lè sa a, l'a di: Pe bouch nou! Pa nonmen non Bondye nan bagay sa a!(Creole-HT) ======= Amos 6:11 ============ Amo 6:11 For, behold, the LORD commandeth, and he will smite the great house with breaches, and the little house with clefts.(KJV-1611) Amo 6:11 Men lòd Seyè a bay: Y'ap kraze gwo kay yo an miyèt moso. Y'ap demoli ti kay yo.(Creole-HT) ======= Amos 6:12 ============ Amo 6:12 Shall horses run upon the rock? will one plow there with oxen? for ye have turned judgment into gall, and the fruit of righteousness into hemlock:(KJV-1611) Amo 6:12 Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab.(Creole-HT) ======= Amos 6:13 ============ Amo 6:13 Ye which rejoice in a thing of nought, which say, Have we not taken to us horns by our own strength?(KJV-1611) Amo 6:13 Nou fè kè nou kontan paske nou pran lavil Lodeba. N'ap plede di: O wi, se avèk fòs kouraj nou nou pran kòn lan.(Creole-HT) ======= Amos 6:14 ============ Amo 6:14 But, behold, I will raise up against you a nation, O house of Israel, saith the LORD the God of hosts; and they shall afflict you from the entering in of Hemath unto the river of the wilderness.(KJV-1611) Amo 6:14 Men sa Seyè a, li menm ki Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Nou menm, moun Izrayèl, m'ap fè yon nasyon leve dèyè nou. Wi, se mwen menm menm k'ap fè sa, yon nasyon k'ap pran peyi a nan men nou, yon nasyon ki pral peze nou depi nan pas Amat nan nò rive jouk ravin Araba nan sid.(Creole-HT) ======= Amos 7:1 ============ Amo 7:1 Thus hath the Lord GOD shewed unto me; and, behold, he formed grasshoppers in the beginning of the shooting up of the latter growth; and, lo, it was the latter growth after the king's mowings.(KJV-1611) Amo 7:1 Se konsa Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Seyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chak plant yo te fèk ap boujonnen ankò.(Creole-HT) ======= Amos 7:2 ============ Amo 7:2 And it came to pass, that when they had made an end of eating the grass of the land, then I said, O Lord GOD, forgive, I beseech thee: by whom shall Jacob arise? for he is small.(KJV-1611) Amo 7:2 Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.(Creole-HT) ======= Amos 7:3 ============ Amo 7:3 The LORD repented for this: It shall not be, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 7:3 Seyè a chanje lide. Li di: -Sa ou te wè a p'ap rive ankò.(Creole-HT) ======= Amos 7:4 ============ Amo 7:4 Thus hath the Lord GOD shewed unto me: and, behold, the Lord GOD called to contend by fire, and it devoured the great deep, and did eat up a part.(KJV-1611) Amo 7:4 Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a t'ap voye yon dife pou l' devore pèp la pou pini l'. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden.(Creole-HT) ======= Amos 7:5 ============ Amo 7:5 Then said I, O Lord GOD, cease, I beseech thee: by whom shall Jacob arise? for he is small.(KJV-1611) Amo 7:5 Mwen di: -Tanpri, Seyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb.(Creole-HT) ======= Amos 7:6 ============ Amo 7:6 The LORD repented for this: This also shall not be, saith the Lord GOD.(KJV-1611) Amo 7:6 Seyè a chanje lide, li di: -Sa a tou p'ap rive.(Creole-HT) ======= Amos 7:7 ============ Amo 7:7 Thus he shewed me: and, behold, the LORD stood upon a wall made by a plumbline, with a plumbline in his hand.(KJV-1611) Amo 7:7 Se konsa, Seyè a fè m' fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Seyè a te kanpe bò yon mi yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l'.(Creole-HT) ======= Amos 7:8 ============ Amo 7:8 And the LORD said unto me, Amos, what seest thou? And I said, A plumbline. Then said the LORD, Behold, I will set a plumbline in the midst of my people Israel: I will not again pass by them any more:(KJV-1611) Amo 7:8 Lè sa a, Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: -Yon filaplon. Lè sa a, li di m': -M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m' fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò.(Creole-HT) ======= Amos 7:9 ============ Amo 7:9 And the high places of Isaac shall be desolate, and the sanctuaries of Israel shall be laid waste; and I will rise against the house of Jeroboam with the sword.(KJV-1611) Amo 7:9 Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m' sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.(Creole-HT) ======= Amos 7:10 ============ Amo 7:10 Then Amaziah the priest of Bethel sent to Jeroboam king of Israel, saying, Amos hath conspired against thee in the midst of the house of Israel: the land is not able to bear all his words.(KJV-1611) Amo 7:10 Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.(Creole-HT) ======= Amos 7:11 ============ Amo 7:11 For thus Amos saith, Jeroboam shall die by the sword, and Israel shall surely be led away captive out of their own land.(KJV-1611) Amo 7:11 Men sa l'ap mache di: Jewoboram gen pou l' mouri nan lagè. Y'ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y'ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje.(Creole-HT) ======= Amos 7:12 ============ Amo 7:12 Also Amaziah said unto Amos, O thou seer, go, flee thee away into the land of Judah, and there eat bread, and prophesy there:(KJV-1611) Amo 7:12 Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!(Creole-HT) ======= Amos 7:13 ============ Amo 7:13 But prophesy not again any more at Bethel: for it is the king's chapel, and it is the king's court.(KJV-1611) Amo 7:13 Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.(Creole-HT) ======= Amos 7:14 ============ Amo 7:14 Then answered Amos, and said to Amaziah, I was no prophet, neither was I a prophet's son; but I was an herdman, and a gatherer of sycomore fruit:(KJV-1611) Amo 7:14 Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.(Creole-HT) ======= Amos 7:15 ============ Amo 7:15 And the LORD took me as I followed the flock, and the LORD said unto me, Go, prophesy unto my people Israel.(KJV-1611) Amo 7:15 Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.(Creole-HT) ======= Amos 7:16 ============ Amo 7:16 Now therefore hear thou the word of the LORD: Thou sayest, Prophesy not against Israel, and drop not thy word against the house of Isaac.(KJV-1611) Amo 7:16 Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo.(Creole-HT) ======= Amos 7:17 ============ Amo 7:17 Therefore thus saith the LORD; Thy wife shall be an harlot in the city, and thy sons and thy daughters shall fall by the sword, and thy land shall be divided by line; and thou shalt die in a polluted land: and Israel shall surely go into captivity forth of his land.(KJV-1611) Amo 7:17 Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.(Creole-HT) ======= Amos 8:1 ============ Amo 8:1 Thus hath the Lord GOD shewed unto me: and behold a basket of summer fruit.(KJV-1611) Amo 8:1 Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi.(Creole-HT) ======= Amos 8:2 ============ Amo 8:2 And he said, Amos, what seest thou? And I said, A basket of summer fruit. Then said the LORD unto me, The end is come upon my people of Israel; I will not again pass by them any more.(KJV-1611) Amo 8:2 Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l' yo. Mwen p'ap chanje lide pou m' fè pa l' ankò.(Creole-HT) ======= Amos 8:3 ============ Amo 8:3 And the songs of the temple shall be howlings in that day, saith the Lord GOD: there shall be many dead bodies in every place; they shall cast them forth with silence.(KJV-1611) Amo 8:3 Jou sa a, se p'ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Seyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y'a voye yo jete san di krik.(Creole-HT) ======= Amos 8:4 ============ Amo 8:4 Hear this, O ye that swallow up the needy, even to make the poor of the land to fail,(KJV-1611) Amo 8:4 Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a.(Creole-HT) ======= Amos 8:5 ============ Amo 8:5 Saying, When will the new moon be gone, that we may sell corn? and the sabbath, that we may set forth wheat, making the ephah small, and the shekel great, and falsifying the balances by deceit?(KJV-1611) Amo 8:5 N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo.(Creole-HT) ======= Amos 8:6 ============ Amo 8:6 That we may buy the poor for silver, and the needy for a pair of shoes; yea, and sell the refuse of the wheat?(KJV-1611) Amo 8:6 N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan.(Creole-HT) ======= Amos 8:7 ============ Amo 8:7 The LORD hath sworn by the excellency of Jacob, Surely I will never forget any of their works.(KJV-1611) Amo 8:7 Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo.(Creole-HT) ======= Amos 8:8 ============ Amo 8:8 Shall not the land tremble for this, and every one mourn that dwelleth therein? and it shall rise up wholly as a flood; and it shall be cast out and drowned, as by the flood of Egypt.(KJV-1611) Amo 8:8 Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Amos 8:9 ============ Amo 8:9 And it shall come to pass in that day, saith the Lord GOD, that I will cause the sun to go down at noon, and I will darken the earth in the clear day:(KJV-1611) Amo 8:9 Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen.(Creole-HT) ======= Amos 8:10 ============ Amo 8:10 And I will turn your feasts into mourning, and all your songs into lamentation; and I will bring up sackcloth upon all loins, and baldness upon every head; and I will make it as the mourning of an only son, and the end thereof as a bitter day.(KJV-1611) Amo 8:10 M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.(Creole-HT) ======= Amos 8:11 ============ Amo 8:11 Behold, the days come, saith the Lord GOD, that I will send a famine in the land, not a famine of bread, nor a thirst for water, but of hearing the words of the LORD:(KJV-1611) Amo 8:11 Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y'a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 8:12 ============ Amo 8:12 And they shall wander from sea to sea, and from the north even to the east, they shall run to and fro to seek the word of the LORD, and shall not find it.(KJV-1611) Amo 8:12 Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p'ap jwenn.(Creole-HT) ======= Amos 8:13 ============ Amo 8:13 In that day shall the fair virgins and young men faint for thirst.(KJV-1611) Amo 8:13 Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a.(Creole-HT) ======= Amos 8:14 ============ Amo 8:14 They that swear by the sin of Samaria, and say, Thy god, O Dan, liveth; and, The manner of Beersheba liveth; even they shall fall, and never rise up again.(KJV-1611) Amo 8:14 Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.(Creole-HT) ======= Amos 9:1 ============ Amo 9:1 I saw the LORD standing upon the altar: and he said, Smite the lintel of the door, that the posts may shake: and cut them in the head, all of them; and I will slay the last of them with the sword: he that fleeth of them shall not flee away, and he that escapeth of them shall not be delivered.(KJV-1611) Amo 9:1 Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.(Creole-HT) ======= Amos 9:2 ============ Amo 9:2 Though they dig into hell, thence shall mine hand take them; though they climb up to heaven, thence will I bring them down:(KJV-1611) Amo 9:2 Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann.(Creole-HT) ======= Amos 9:3 ============ Amo 9:3 And though they hide themselves in the top of Carmel, I will search and take them out thence; and though they be hid from my sight in the bottom of the sea, thence will I command the serpent, and he shall bite them:(KJV-1611) Amo 9:3 Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo.(Creole-HT) ======= Amos 9:4 ============ Amo 9:4 And though they go into captivity before their enemies, thence will I command the sword, and it shall slay them: and I will set mine eyes upon them for evil, and not for good.(KJV-1611) Amo 9:4 Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo.(Creole-HT) ======= Amos 9:5 ============ Amo 9:5 And the Lord GOD of hosts is he that toucheth the land, and it shall melt, and all that dwell therein shall mourn: and it shall rise up wholly like a flood; and shall be drowned, as by the flood of Egypt.(KJV-1611) Amo 9:5 Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil.(Creole-HT) ======= Amos 9:6 ============ Amo 9:6 It is he that buildeth his stories in the heaven, and hath founded his troop in the earth; he that calleth for the waters of the sea, and poureth them out upon the face of the earth: The LORD is his name.(KJV-1611) Amo 9:6 Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.(Creole-HT) ======= Amos 9:7 ============ Amo 9:7 Are ye not as children of the Ethiopians unto me, O children of Israel? saith the LORD. Have not I brought up Israel out of the land of Egypt? and the Philistines from Caphtor, and the Syrians from Kir?(KJV-1611) Amo 9:7 Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir?(Creole-HT) ======= Amos 9:8 ============ Amo 9:8 Behold, the eyes of the Lord GOD are upon the sinful kingdom, and I will destroy it from off the face of the earth; saving that I will not utterly destroy the house of Jacob, saith the LORD.(KJV-1611) Amo 9:8 Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 9:9 ============ Amo 9:9 For, lo, I will command, and I will sift the house of Israel among all nations, like as corn is sifted in a sieve, yet shall not the least grain fall upon the earth.(KJV-1611) Amo 9:9 Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè.(Creole-HT) ======= Amos 9:10 ============ Amo 9:10 All the sinners of my people shall die by the sword, which say, The evil shall not overtake nor prevent us.(KJV-1611) Amo 9:10 Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè.(Creole-HT) ======= Amos 9:11 ============ Amo 9:11 In that day will I raise up the tabernacle of David that is fallen, and close up the breaches thereof; and I will raise up his ruins, and I will build it as in the days of old:(KJV-1611) Amo 9:11 Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.(Creole-HT) ======= Amos 9:12 ============ Amo 9:12 That they may possess the remnant of Edom, and of all the heathen, which are called by my name, saith the LORD that doeth this.(KJV-1611) Amo 9:12 Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa!(Creole-HT) ======= Amos 9:13 ============ Amo 9:13 Behold, the days come, saith the LORD, that the plowman shall overtake the reaper, and the treader of grapes him that soweth seed; and the mountains shall drop sweet wine, and all the hills shall melt.(KJV-1611) Amo 9:13 Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Amos 9:14 ============ Amo 9:14 And I will bring again the captivity of my people of Israel, and they shall build the waste cities, and inhabit them; and they shall plant vineyards, and drink the wine thereof; they shall also make gardens, and eat the fruit of them.(KJV-1611) Amo 9:14 M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.(Creole-HT) ======= Amos 9:15 ============ Amo 9:15 And I will plant them upon their land, and they shall no more be pulled up out of their land which I have given them, saith the LORD thy God.(KJV-1611) Amo 9:15 M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:1 ============ Oba 1:1 The vision of Obadiah. Thus saith the Lord GOD concerning Edom; We have heard a rumour from the LORD, and an ambassador is sent among the heathen, Arise ye, and let us rise up against her in battle.(KJV-1611) Oba 1:1 Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!(Creole-HT) ======= Obadiah 1:2 ============ Oba 1:2 Behold, I have made thee small among the heathen: thou art greatly despised.(KJV-1611) Oba 1:2 Men sa Seyè a di moun peyi Edon yo: Mwen pral fè peyi nou an vin tou fèb nan mitan lòt nasyon yo. Tout moun pral meprize nou nèt!(Creole-HT) ======= Obadiah 1:3 ============ Oba 1:3 The pride of thine heart hath deceived thee, thou that dwellest in the clefts of the rock, whose habitation is high; that saith in his heart, Who shall bring me down to the ground?(KJV-1611) Oba 1:3 Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a!(Creole-HT) ======= Obadiah 1:4 ============ Oba 1:4 Though thou exalt thyself as the eagle, and though thou set thy nest among the stars, thence will I bring thee down, saith the LORD.(KJV-1611) Oba 1:4 Nou te mèt bati kay nou byen wo tankou nich malfini, nou te mèt mete nich nou byen wo tankou si li te nan mitan zetwal yo, m'ap voye nou jete anba, m'ap fè nou desann. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:5 ============ Oba 1:5 If thieves came to thee, if robbers by night, (how art thou cut off!) would they not have stolen till they had enough? if the grapegatherers came to thee, would they not leave some grapes?(KJV-1611) Oba 1:5 Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!(Creole-HT) ======= Obadiah 1:6 ============ Oba 1:6 How are the things of Esau searched out! how are his hidden things sought up!(KJV-1611) Oba 1:6 Yo fouye toupatou nan peyi Ezaou a. Yo pran tout trezò nou te kache yo.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:7 ============ Oba 1:7 All the men of thy confederacy have brought thee even to the border: the men that were at peace with thee have deceived thee, and prevailed against thee; that they eat thy bread have laid a wound under thee: there is none understanding in him.(KJV-1611) Oba 1:7 Tout moun ki te mete tèt ansanm avè nou yo woule nou byen woule. Yo mete nou deyò nan pwòp peyi nou an. Moun ki te pi bon zanmi nou yo twonpe nou byen twonpe. Moun ki te konn manje sou tab ansanm ak nou pare pèlen pou nou. Nou menm, nou pa menm wè sa!(Creole-HT) ======= Obadiah 1:8 ============ Oba 1:8 Shall I not in that day, saith the LORD, even destroy the wise men out of Edom, and understanding out of the mount of Esau?(KJV-1611) Oba 1:8 Seyè a di konsa: -Jou m'ap pini moun Edon yo, m'ap disparèt tout moun ki gen bon konprann nan peyi a, tout moun lespri ki rete sou mòn Ezaou a.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:9 ============ Oba 1:9 And thy mighty men, O Teman, shall be dismayed, to the end that every one of the mount of Esau may be cut off by slaughter.(KJV-1611) Oba 1:9 Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:10 ============ Oba 1:10 For thy violence against thy brother Jacob shame shall cover thee, and thou shalt be cut off for ever.(KJV-1611) Oba 1:10 Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:11 ============ Oba 1:11 In the day that thou stoodest on the other side, in the day that the strangers carried away captive his forces, and foreigners entered into his gates, and cast lots upon Jerusalem, even thou wast as one of them.(KJV-1611) Oba 1:11 Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:12 ============ Oba 1:12 But thou shouldest not have looked on the day of thy brother in the day that he became a stranger; neither shouldest thou have rejoiced over the children of Judah in the day of their destruction; neither shouldest thou have spoken proudly in the day of distress.(KJV-1611) Oba 1:12 Nou pa t' dwe kontan wè kouzen nou yo nan malè. Nou pa t' dwe kontan wè y'ap fini ak moun fanmi Jida yo. Nou pa t' dwe pase yo nan rizib, lè yo te nan tray.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:13 ============ Oba 1:13 Thou shouldest not have entered into the gate of my people in the day of their calamity; yea, thou shouldest not have looked on their affliction in the day of their calamity, nor have laid hands on their substance in the day of their calamity;(KJV-1611) Oba 1:13 Nou pa t' dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:14 ============ Oba 1:14 Neither shouldest thou have stood in the crossway, to cut off those of his that did escape; neither shouldest thou have delivered up those of his that did remain in the day of distress.(KJV-1611) Oba 1:14 Nou pa t' dwe kanpe nan kalfou yo pou nou touye sa ki t'ap chache chape kò yo. Nou pa t' dwe lage sa ki pa t' mouri yo nan men lènmi yo, jou malè te tonbe sou yo a.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:15 ============ Oba 1:15 For the day of the LORD is near upon all the heathen: as thou hast done, it shall be done unto thee: thy reward shall return upon thine own head.(KJV-1611) Oba 1:15 Jou a pa lwen rive, kote mwen menm, Seyè a, mwen pral jije tout nasyon yo. Nou menm moun peyi Edon, sa nou te fè a, se sa yo pral fè nou tou. Yo pral fè nou sibi tou sa nou te fè lòt yo sibi.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:16 ============ Oba 1:16 For as ye have drunk upon my holy mountain, so shall all the heathen drink continually, yea, they shall drink, and they shall swallow down, and they shall be as though they had not been.(KJV-1611) Oba 1:16 Pèp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mòn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral disparèt tankou si yo pa t' janm la.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:17 ============ Oba 1:17 But upon mount Zion shall be deliverance, and there shall be holiness; and the house of Jacob shall possess their possessions.(KJV-1611) Oba 1:17 Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:18 ============ Oba 1:18 And the house of Jacob shall be a fire, and the house of Joseph a flame, and the house of Esau for stubble, and they shall kindle in them, and devour them; and there shall not be any remaining of the house of Esau; for the LORD hath spoken it.(KJV-1611) Oba 1:18 Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:19 ============ Oba 1:19 And they of the south shall possess the mount of Esau; and they of the plain the Philistines: and they shall possess the fields of Ephraim, and the fields of Samaria: and Benjamin shall possess Gilead.(KJV-1611) Oba 1:19 Moun pèp Izrayèl ki rete nan zòn Negèv la pral pran mòn Ezaou a pou yo. Moun pèp Izrayèl ki rete nan plenn ki nan pye mòn Jida yo pral pran peyi moun Filisti yo nan men yo. Moun pèp Izrayèl yo pral pran peyi Efrayim ak peyi Samari pou yo. Moun Benjamen yo pral pran peyi Galarad la pou yo.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:20 ============ Oba 1:20 And the captivity of this host of the children of Israel shall possess that of the Canaanites, even unto Zarephath; and the captivity of Jerusalem, which is in Sepharad, shall possess the cities of the south.(KJV-1611) Oba 1:20 Nan moun yo te depòte yo, sòlda ki moun nan nò peyi Izrayèl la va pran peyi Kanaran an pou yo, rive lavil Sarepta. Men, moun lavil Jerizalèm yo te depòte nan peyi Sefara a va pran tout lavil Negèv yo pou yo.(Creole-HT) ======= Obadiah 1:21 ============ Oba 1:21 And saviours shall come up on mount Zion to judge the mount of Esau; and the kingdom shall be the LORD's.(KJV-1611) Oba 1:21 Yo tout, y'a moute sou mòn Siyon an pou delivre l'. Se yo ki va gouvènen tout mòn Ezaou a. Lè sa a, se Seyè a menm ki va sèl wa.(Creole-HT) ======= Jonah 1:1 ============ Jon 1:1 Now the word of the LORD came unto Jonah the son of Amittai, saying,(KJV-1611) Jon 1:1 Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a,(Creole-HT) ======= Jonah 1:2 ============ Jon 1:2 Arise, go to Nineveh, that great city, and cry against it; for their wickedness is come up before me.(KJV-1611) Jon 1:2 li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.(Creole-HT) ======= Jonah 1:3 ============ Jon 1:3 But Jonah rose up to flee unto Tarshish from the presence of the LORD, and went down to Joppa; and he found a ship going to Tarshish: so he paid the fare thereof, and went down into it, to go with them unto Tarshish from the presence of the LORD.(KJV-1611) Jon 1:3 Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Jonah 1:4 ============ Jon 1:4 But the LORD sent out a great wind into the sea, and there was a mighty tempest in the sea, so that the ship was like to be broken.(KJV-1611) Jon 1:4 Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule.(Creole-HT) ======= Jonah 1:5 ============ Jon 1:5 Then the mariners were afraid, and cried every man unto his god, and cast forth the wares that were in the ship into the sea, to lighten it of them. But Jonah was gone down into the sides of the ship; and he lay, and was fast asleep.(KJV-1611) Jon 1:5 Marin yo te pè anpil. Chak moun t'ap lapriyè bondye pa yo. Pou yo te ka soulaje batiman an, yo lage dènye chay nan lanmè. Jonas menm poutèt pa l' te desann nan lakal batiman an, li kouche kouche l'. Dòmi pote l' ale.(Creole-HT) ======= Jonah 1:6 ============ Jon 1:6 So the shipmaster came to him, and said unto him, What meanest thou, O sleeper? arise, call upon thy God, if so be that God will think upon us, that we perish not.(KJV-1611) Jon 1:6 Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.(Creole-HT) ======= Jonah 1:7 ============ Jon 1:7 And they said every one to his fellow, Come, and let us cast lots, that we may know for whose cause this evil is upon us. So they cast lots, and the lot fell upon Jonah.(KJV-1611) Jon 1:7 Apre sa, marin yo yon di lòt: -Ann tire osò pou n' konnen ki moun ki lakòz sa rive nou. Yo tire osò, epi se non Jonas ki soti.(Creole-HT) ======= Jonah 1:8 ============ Jon 1:8 Then said they unto him, Tell us, we pray thee, for whose cause this evil is upon us; What is thine occupation? and whence comest thou? what is thy country? and of what people art thou?(KJV-1611) Jon 1:8 Epi yo di l': -Di nou sa ki lakòz malè sa a rive nou. Sa w'ap fè isit la? Kote ou soti? Moun ki peyi ou ye? Ki nanchon ou?(Creole-HT) ======= Jonah 1:9 ============ Jon 1:9 And he said unto them, I am an Hebrew; and I fear the LORD, the God of heaven, which hath made the sea and the dry land.(KJV-1611) Jon 1:9 Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.(Creole-HT) ======= Jonah 1:10 ============ Jon 1:10 Then were the men exceedingly afraid, and said unto him. Why hast thou done this? For the men knew that he fled from the presence of the LORD, because he had told them.(KJV-1611) Jon 1:10 Jonas pale ak yo, li di yo ki jan li t'ap kouri pou Seyè a. Marin yo te sezi yon sèl sezi. Yo di l' konsa: -Sa ou fè konsa, monchè?(Creole-HT) ======= Jonah 1:11 ============ Jon 1:11 Then said they unto him, What shall we do unto thee, that the sea may be calm unto us? for the sea wrought, and was tempestuous.(KJV-1611) Jon 1:11 Lanmè a t'ap vin pi move chak lè. Yo di l': -Sa pou nou fè ak ou pou lanmè a vin kal?(Creole-HT) ======= Jonah 1:12 ============ Jon 1:12 And he said unto them, Take me up, and cast me forth into the sea; so shall the sea be calm unto you: for I know that for my sake this great tempest is upon you.(KJV-1611) Jon 1:12 Jonas reponn yo: -Pran m', lage m' nan lanmè. Lanmè a va kal nèt. Mwen konnen se mwen menm menm ki lakòz nou pran nan van tanpèt sa a.(Creole-HT) ======= Jonah 1:13 ============ Jon 1:13 Nevertheless the men rowed hard to bring it to the land; but they could not: for the sea wrought, and was tempestuous against them.(KJV-1611) Jon 1:13 Marin yo menm t'ap naje zaviwon pou wè si yo ta mennen batiman an ale atè. Men, yo pa t' kapab, lanmè a t'ap vin pi move toujou.(Creole-HT) ======= Jonah 1:14 ============ Jon 1:14 Wherefore they cried unto the LORD, and said, We beseech thee, O LORD, we beseech thee, let us not perish for this man's life, and lay not upon us innocent blood: for thou, O LORD, hast done as it pleased thee.(KJV-1611) Jon 1:14 Lè yo wè sa, yo rele nan pye Seyè a, yo lapriyè l' konsa: -O Seyè! Tanpri, pa kite nou mouri poutèt nonm sa a. Pa rann nou reskonsab lanmò yon moun ki inonsan. Paske, se ou menm, Seyè, ki vle l' konsa.(Creole-HT) ======= Jonah 1:15 ============ Jon 1:15 So they look up Jonah, and cast him forth into the sea: and the sea ceased from her raging.(KJV-1611) Jon 1:15 Epi yo pran Jonas, yo lage l' nan lanmè. Lamenm, kalmi fèt.(Creole-HT) ======= Jonah 1:16 ============ Jon 1:16 Then the men feared the LORD exceedingly, and offered a sacrifice unto the LORD, and made vows.(KJV-1611) Jon 1:16 Lè marin yo wè sa, yo te vin pè Seyè a anpil. Yo ofri bèt pou touye ba li. Yo pwomèt pou yo sèvi l'.(Creole-HT) ======= Jonah 1:17 ============ Jon 1:17 Now the LORD had prepared a great fish to swallow up Jonah. And Jonah was in the belly of the fish three days and three nights.(KJV-1611) Jon 1:17 Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.(Creole-HT) ======= Jonah 2:1 ============ Jon 2:1 Then Jonah prayed unto the LORD his God out of the fish's belly,(KJV-1611) Jon 2:1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:(Creole-HT) ======= Jonah 2:2 ============ Jon 2:2 And said, I cried by reason of mine affliction unto the LORD, and he heard me; out of the belly of hell cried I, and thou heardest my voice.(KJV-1611) Jon 2:2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.(Creole-HT) ======= Jonah 2:3 ============ Jon 2:3 For thou hadst cast me into the deep, in the midst of the seas; and the floods compassed me about: all thy billows and thy waves passed over me.(KJV-1611) Jon 2:3 Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen.(Creole-HT) ======= Jonah 2:4 ============ Jon 2:4 Then I said, I am cast out of thy sight; yet I will look again toward thy holy temple.(KJV-1611) Jon 2:4 Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!(Creole-HT) ======= Jonah 2:5 ============ Jon 2:5 The waters compassed me about, even to the soul: the depth closed me round about, the weeds were wrapped about my head.(KJV-1611) Jon 2:5 Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen.(Creole-HT) ======= Jonah 2:6 ============ Jon 2:6 I went down to the bottoms of the mountains; the earth with her bars was about me for ever: yet hast thou brought up my life from corruption, O LORD my God.(KJV-1611) Jon 2:6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò.(Creole-HT) ======= Jonah 2:7 ============ Jon 2:7 When my soul fainted within me I remembered the LORD: and my prayer came in unto thee, into thine holy temple.(KJV-1611) Jon 2:7 Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'.(Creole-HT) ======= Jonah 2:8 ============ Jon 2:8 They that observe lying vanities forsake their own mercy.(KJV-1611) Jon 2:8 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.(Creole-HT) ======= Jonah 2:9 ============ Jon 2:9 But I will sacrifice unto thee with the voice of thanksgiving; I will pay that that I have vowed. Salvation is of the LORD.(KJV-1611) Jon 2:9 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.(Creole-HT) ======= Jonah 2:10 ============ Jon 2:10 And the LORD spake unto the fish, and it vomited out Jonah upon the dry land.(KJV-1611) Jon 2:10 Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.(Creole-HT) ======= Jonah 3:1 ============ Jon 3:1 And the word of the LORD came unto Jonah the second time, saying,(KJV-1611) Jon 3:1 Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas,(Creole-HT) ======= Jonah 3:2 ============ Jon 3:2 Arise, go unto Nineveh, that great city, and preach unto it the preaching that I bid thee.(KJV-1611) Jon 3:2 li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a.(Creole-HT) ======= Jonah 3:3 ============ Jon 3:3 So Jonah arose, and went unto Nineveh, according to the word of the LORD. Now Nineveh was an exceeding great city of three days' journey.(KJV-1611) Jon 3:3 Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la.(Creole-HT) ======= Jonah 3:4 ============ Jon 3:4 And Jonah began to enter into the city a day's journey, and he cried, and said, Yet forty days, and Nineveh shall be overthrown.(KJV-1611) Jon 3:4 Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.(Creole-HT) ======= Jonah 3:5 ============ Jon 3:5 So the people of Nineveh believed God, and proclaimed a fast, and put on sackcloth, from the greatest of them even to the least of them.(KJV-1611) Jon 3:5 Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè.(Creole-HT) ======= Jonah 3:6 ============ Jon 3:6 For word came unto the king of Nineveh, and he arose from his throne, and he laid his robe from him, and covered him with sackcloth, and sat in ashes.(KJV-1611) Jon 3:6 Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife.(Creole-HT) ======= Jonah 3:7 ============ Jon 3:7 And he caused it to be proclaimed and published through Nineveh by the decree of the king and his nobles, saying, Let neither man nor beast, herd nor flock, taste any thing: let them not feed, nor drink water:(KJV-1611) Jon 3:7 Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè.(Creole-HT) ======= Jonah 3:8 ============ Jon 3:8 But let man and beast be covered with sackcloth, and cry mightily unto God: yea, let them turn every one from his evil way, and from the violence that is in their hands.(KJV-1611) Jon 3:8 Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.(Creole-HT) ======= Jonah 3:9 ============ Jon 3:9 Who can tell if God will turn and repent, and turn away from his fierce anger, that we perish not?(KJV-1611) Jon 3:9 Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.(Creole-HT) ======= Jonah 3:10 ============ Jon 3:10 And God saw their works, that they turned from their evil way; and God repented of the evil, that he had said that he would do unto them; and he did it not.(KJV-1611) Jon 3:10 Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.(Creole-HT) ======= Jonah 4:1 ============ Jon 4:1 But it displeased Jonah exceedingly, and he was very angry.(KJV-1611) Jon 4:1 Jonas pa t' kontan menm lè li wè sa, sa te fè l' fache anpil.(Creole-HT) ======= Jonah 4:2 ============ Jon 4:2 And he prayed unto the LORD, and said, I pray thee, O LORD, was not this my saying, when I was yet in my country? Therefore I fled before unto Tarshish: for I knew that thou art a gracious God, and merciful, slow to anger, and of great kindness, and repentest thee of the evil.(KJV-1611) Jon 4:2 Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.(Creole-HT) ======= Jonah 4:3 ============ Jon 4:3 Therefore now, O LORD, take, I beseech thee, my life from me; for it is better for me to die than to live.(KJV-1611) Jon 4:3 Koulye a, Seyè, ou mèt tou touye m' fini ak sa. M' pito mouri pase pou m' viv pou m' wè bagay sa a devan je m'!(Creole-HT) ======= Jonah 4:4 ============ Jon 4:4 Then said the LORD, Doest thou well to be angry?(KJV-1611) Jon 4:4 Seyè a reponn li: -Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa?(Creole-HT) ======= Jonah 4:5 ============ Jon 4:5 So Jonah went out of the city, and sat on the east side of the city, and there made him a booth, and sat under it in the shadow, till he might see what would become of the city.(KJV-1611) Jon 4:5 Jonas kite lavil la, li ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonèl, li chita nan lonbraj anba tonèl la, l'ap tann pou l' wè sa ki pral rive nan lavil la.(Creole-HT) ======= Jonah 4:6 ============ Jon 4:6 And the LORD God prepared a gourd, and made it to come up over Jonah, that it might be a shadow over his head, to deliver him from his grief. So Jonah was exceeding glad of the gourd.(KJV-1611) Jon 4:6 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l' rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbraj sou tèt li, pou li ka santi l' pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a.(Creole-HT) ======= Jonah 4:7 ============ Jon 4:7 But God prepared a worm when the morning rose the next day, and it smote the gourd that it withered.(KJV-1611) Jon 4:7 Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri.(Creole-HT) ======= Jonah 4:8 ============ Jon 4:8 And it came to pass, when the sun did arise, that God prepared a vehement east wind; and the sun beat upon the head of Jonah, that he fainted, and wished in himself to die, and said, It is better for me to die than to live.(KJV-1611) Jon 4:8 Lèfini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van lès soufle byen cho. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li sou tèt. Msye mande mouri, li di konsa: -Pito m' tou mouri m' fini ak sa!(Creole-HT) ======= Jonah 4:9 ============ Jon 4:9 And God said to Jonah, Doest thou well to be angry for the gourd? And he said, I do well to be angry, even unto death.(KJV-1611) Jon 4:9 Men, Bondye mande l' konsa: -Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: -Wi. Mwen gen rezon fache. M' fache pou m' mouri.(Creole-HT) ======= Jonah 4:10 ============ Jon 4:10 Then said the LORD, Thou hast had pity on the gourd, for the which thou hast not laboured, neither madest it grow; which came up in a night, and perished in a night:(KJV-1611) Jon 4:10 Lè sa a, Seyè a reponn li: -An! Ou pran lapenn pou yon ti pye masketi ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè l' grandi. Li pran yon sèl nwit pou l' grandi. Apre yon sèl jou, li mouri.(Creole-HT) ======= Jonah 4:11 ============ Jon 4:11 And should not I spare Nineveh, that great city, wherein are more then sixscore thousand persons that cannot discern between their right hand and their left hand; and also much cattle?(KJV-1611) Jon 4:11 Epi ou pa ta vle m' pran lapenn pou lavil Niniv, gwo kapital sa a, kote ki gen depase sanven mil timoun inonsan, moun ki pa konnen ni sa ki byen ni sa ki mal, ansanm ak yon kantite bèt!(Creole-HT) ======= Micah 1:1 ============ Mic 1:1 The word of the LORD that came to Micah the Morasthite in the days of Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah, which he saw concerning Samaria and Jerusalem.(KJV-1611) Mic 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou rèy Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Seyè a te fè Miche wè.(Creole-HT) ======= Micah 1:2 ============ Mic 1:2 Hear, all ye people; hearken, O earth, and all that therein is: and let the Lord GOD be witness against you, the LORD from his holy temple.(KJV-1611) Mic 1:2 Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.(Creole-HT) ======= Micah 1:3 ============ Mic 1:3 For, behold, the LORD cometh forth out of his place, and will come down, and tread upon the high places of the earth.(KJV-1611) Mic 1:3 Seyè a ap soti kote li rete a, l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.(Creole-HT) ======= Micah 1:4 ============ Mic 1:4 And the mountains shall be molten under him, and the valleys shall be cleft, as wax before the fire, and as the waters that are poured down a steep place.(KJV-1611) Mic 1:4 Mòn yo ap fonn anba pye l' tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.(Creole-HT) ======= Micah 1:5 ============ Mic 1:5 For the transgression of Jacob is all this, and for the sins of the house of Israel. What is the transgression of Jacob? is it not Samaria? and what are the high places of Judah? are they not Jerusalem?(KJV-1611) Mic 1:5 Tou sa ap rive paske pèp Izrayèl la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa t' dwe fè. Ki moun ki reskonsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa moun Samari, kapital peyi a? Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm?(Creole-HT) ======= Micah 1:6 ============ Mic 1:6 Therefore I will make Samaria as an heap of the field, and as plantings of a vineyard: and I will pour down the stones thereof into the valley, and I will discover the foundations thereof.(KJV-1611) Mic 1:6 Se konsa Seyè a di: M'ap fè lavil Samari tounen yon bann mazi nan plenn lan, yon jaden pou plante rezen. M'ap voye tout miray li yo jete nan fon. Se fondasyon kay yo ase k'ap rete pou moun wè.(Creole-HT) ======= Micah 1:7 ============ Mic 1:7 And all the graven images thereof shall be beaten to pieces, and all the hires thereof shall be burned with the fire, and all the idols thereof will I lay desolate: for she gathered it of the hire of an harlot, and they shall return to the hire of an harlot.(KJV-1611) Mic 1:7 Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a.(Creole-HT) ======= Micah 1:8 ============ Mic 1:8 Therefore I will wail and howl, I will go stripped and naked: I will make a wailing like the dragons, and mourning as the owls.(KJV-1611) Mic 1:8 Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen.(Creole-HT) ======= Micah 1:9 ============ Mic 1:9 For her wound is incurable; for it is come unto Judah; he is come unto the gate of my people, even to Jerusalem.(KJV-1611) Mic 1:9 Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Micah 1:10 ============ Mic 1:10 Declare ye it not at Gath, weep ye not at all: in the house of Aphrah roll thyself in the dust.(KJV-1611) Mic 1:10 Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra.(Creole-HT) ======= Micah 1:11 ============ Mic 1:11 Pass ye away, thou inhabitant of Saphir, having thy shame naked: the inhabitant of Zaanan came not forth in the mourning of Bethezel; he shall receive of you his standing.(KJV-1611) Mic 1:11 Pase pase nou, toutouni, tèt bese, nou menm moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zaanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w'a tande jan moun Betaezèl yo ap plenn, w'a konnen ou p'ap jwenn pwoteksyon bò la ankò.(Creole-HT) ======= Micah 1:12 ============ Mic 1:12 For the inhabitant of Maroth waited carefully for good: but evil came down from the LORD unto the gate of Jerusalem.(KJV-1611) Mic 1:12 Moun Mawòt yo nan lapenn. Pa gen sekou pou yo ankò, paske Seyè a fè malè a rive nan papòt lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Micah 1:13 ============ Mic 1:13 O thou inhabitant of Lachish, bind the chariot to the swift beast: she is the beginning of the sin to the daughter of Zion: for the transgressions of Israel were found in thee.(KJV-1611) Mic 1:13 Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.(Creole-HT) ======= Micah 1:14 ============ Mic 1:14 Therefore shalt thou give presents to Moreshethgath: the houses of Achzib shall be a lie to the kings of Israel.(KJV-1611) Mic 1:14 Koulye a, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Akzib yo bay manti, yo p'ap pote ankenn sekou bay wa Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Micah 1:15 ============ Mic 1:15 Yet will I bring an heir unto thee, O inhabitant of Mareshah: he shall come unto Adullam the glory of Israel.(KJV-1611) Mic 1:15 Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Seyè a, m'ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan.(Creole-HT) ======= Micah 1:16 ============ Mic 1:16 Make thee bald, and poll thee for thy delicate children; enlarge thy baldness as the eagle; for they are gone into captivity from thee.(KJV-1611) Mic 1:16 Nou menm moun Jida, reziyen nou, paske sa fè kè nou fè nou mal pou nou wè sa timoun nou renmen anpil yo ap fè. Mare ren nou tankou moun ki nan lapenn, paske y'ap depòte timoun nou yo ale byen lwen nou.(Creole-HT) ======= Micah 2:1 ============ Mic 2:1 Woe to them that devise iniquity, and work evil upon their beds! when the morning is light, they practise it, because it is in the power of their hand.(KJV-1611) Mic 2:1 Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.(Creole-HT) ======= Micah 2:2 ============ Mic 2:2 And they covet fields, and take them by violence; and houses, and take them away: so they oppress a man and his house, even a man and his heritage.(KJV-1611) Mic 2:2 Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.(Creole-HT) ======= Micah 2:3 ============ Mic 2:3 Therefore thus saith the LORD; Behold, against this family do I devise an evil, from which ye shall not remove your necks; neither shall ye go haughtily: for this time is evil.(KJV-1611) Mic 2:3 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.(Creole-HT) ======= Micah 2:4 ============ Mic 2:4 In that day shall one take up a parable against you, and lament with a doleful lamentation, and say, We be utterly spoiled: he hath changed the portion of my people: how hath he removed it from me! turning away he hath divided our fields.(KJV-1611) Mic 2:4 Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.(Creole-HT) ======= Micah 2:5 ============ Mic 2:5 Therefore thou shalt have none that shall cast a cord by lot in the congregation of the LORD.(KJV-1611) Mic 2:5 Konsa, lè lè a va rive, tout moun va sanble pou yo renmèt tè a bay pèp Bondye a. Ou p'ap jwenn pèsonn kanpe pou reklame yon pòsyon pou ou.(Creole-HT) ======= Micah 2:6 ============ Mic 2:6 Prophesy ye not, say they to them that prophesy: they shall not prophesy to them, that they shall not take shame.(KJV-1611) Mic 2:6 Moun yo ap plede di m': Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive.(Creole-HT) ======= Micah 2:7 ============ Mic 2:7 O thou that art named the house of Jacob, is the spirit of the LORD straitened? are these his doings? do not my words do good to him that walketh uprightly?(KJV-1611) Mic 2:7 Nou menm, pitit Jakòb yo, Seyè a gen lè pèdi pasyans ak nou? Eske nou kwè l'a fè tout bagay sa yo vre? Eske pawòl li se pa bon pawòl pou moun k'ap mache dwat yo?(Creole-HT) ======= Micah 2:8 ============ Mic 2:8 Even of late my people is risen up as an enemy: ye pull off the robe with the garment from them that pass by securely as men averse from war.(KJV-1611) Mic 2:8 Seyè a reponn: Nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou te lènmi yo. Moun ap mache kè pòpòz san okenn lide chache moun kont, men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad ki sou yo.(Creole-HT) ======= Micah 2:9 ============ Mic 2:9 The women of my people have ye cast out from their pleasant houses; from their children have ye taken away my glory for ever.(KJV-1611) Mic 2:9 Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo.(Creole-HT) ======= Micah 2:10 ============ Mic 2:10 Arise ye, and depart; for this is not your rest: because it is polluted, it shall destroy you, even with a sore destruction.(KJV-1611) Mic 2:10 Leve non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l' nèt.(Creole-HT) ======= Micah 2:11 ============ Mic 2:11 If a man walking in the spirit and falsehood do lie, saying, I will prophesy unto thee of wine and of strong drink; he shall even be the prophet of this people.(KJV-1611) Mic 2:11 Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.(Creole-HT) ======= Micah 2:12 ============ Mic 2:12 I will surely assemble, O Jacob, all of thee; I will surely gather the remnant of Israel; I will put them together as the sheep of Bozrah, as the flock in the midst of their fold: they shall make great noise by reason of the multitude of men.(KJV-1611) Mic 2:12 Men, m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.(Creole-HT) ======= Micah 2:13 ============ Mic 2:13 The breaker is come up before them: they have broken up, and have passed through the gate, and are gone out by it: and their king shall pass before them, and the LORD on the head of them.(KJV-1611) Mic 2:13 Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.(Creole-HT) ======= Micah 3:1 ============ Mic 3:1 And I said, Hear, I pray you, O heads of Jacob, and ye princes of the house of Israel; Is it not for you to know judgment?(KJV-1611) Mic 3:1 M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?(Creole-HT) ======= Micah 3:2 ============ Mic 3:2 Who hate the good, and love the evil; who pluck off their skin from off them, and their flesh from off their bones;(KJV-1611) Mic 3:2 Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo.(Creole-HT) ======= Micah 3:3 ============ Mic 3:3 Who also eat the flesh of my people, and flay their skin from off them; and they break their bones, and chop them in pieces, as for the pot, and as flesh within the caldron.(KJV-1611) Mic 3:3 N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou dekoupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè.(Creole-HT) ======= Micah 3:4 ============ Mic 3:4 Then shall they cry unto the LORD, but he will not hear them: he will even hide his face from them at that time, as they have behaved themselves ill in their doings.(KJV-1611) Mic 3:4 Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.(Creole-HT) ======= Micah 3:5 ============ Mic 3:5 Thus saith the LORD concerning the prophets that make my people err, that bite with their teeth, and cry, Peace; and he that putteth not into their mouths, they even prepare war against him.(KJV-1611) Mic 3:5 Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo:(Creole-HT) ======= Micah 3:6 ============ Mic 3:6 Therefore night shall be unto you, that ye shall not have a vision; and it shall be dark unto you, that ye shall not divine; and the sun shall go down over the prophets, and the day shall be dark over them.(KJV-1611) Mic 3:6 Pwofèt! Jou nou yo prèt pou fini. Solèy la ap kouche sou nou. Nou p'ap fè vizyon lannwit ankò. Nan fènwa, nou p'ap wè anyen ankò.(Creole-HT) ======= Micah 3:7 ============ Mic 3:7 Then shall the seers be ashamed, and the diviners confounded: yea, they shall all cover their lips; for there is no answer of God.(KJV-1611) Mic 3:7 Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.(Creole-HT) ======= Micah 3:8 ============ Mic 3:8 But truly I am full of power by the spirit of the LORD, and of judgment, and of might, to declare unto Jacob his transgression, and to Israel his sin.(KJV-1611) Mic 3:8 Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la.(Creole-HT) ======= Micah 3:9 ============ Mic 3:9 Hear this, I pray you, ye heads of the house of Jacob, and princes of the house of Israel, that abhor judgment, and pervert all equity.(KJV-1611) Mic 3:9 Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle.(Creole-HT) ======= Micah 3:10 ============ Mic 3:10 They build up Zion with blood, and Jerusalem with iniquity.(KJV-1611) Mic 3:10 Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Micah 3:11 ============ Mic 3:11 The heads thereof judge for reward, and the priests thereof teach for hire, and the prophets thereof divine for money: yet will they lean upon the LORD, and say, Is not the LORD among us? none evil can come upon us.(KJV-1611) Mic 3:11 Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!(Creole-HT) ======= Micah 3:12 ============ Mic 3:12 Therefore shall Zion for your sake be plowed as a field, and Jerusalem shall become heaps, and the mountain of the house as the high places of the forest.(KJV-1611) Mic 3:12 Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.(Creole-HT) ======= Micah 4:1 ============ Mic 4:1 But in the last days it shall come to pass, that the mountain of the house of the LORD shall be established in the top of the mountains, and it shall be exalted above the hills; and people shall flow unto it.(KJV-1611) Mic 4:1 Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li.(Creole-HT) ======= Micah 4:2 ============ Mic 4:2 And many nations shall come, and say, Come, and let us go up to the mountain of the LORD, and to the house of the God of Jacob; and he will teach us of his ways, and we will walk in his paths: for the law shall go forth of Zion, and the word of the LORD from Jerusalem.(KJV-1611) Mic 4:2 Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Seyè a! Ann ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Seyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.(Creole-HT) ======= Micah 4:3 ============ Mic 4:3 And he shall judge among many people, and rebuke strong nations afar off; and they shall beat their swords into plowshares, and their spears into pruninghooks: nation shall not lift up a sword against nation, neither shall they learn war any more.(KJV-1611) Mic 4:3 L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.(Creole-HT) ======= Micah 4:4 ============ Mic 4:4 But they shall sit every man under his vine and under his fig tree; and none shall make them afraid: for the mouth of the LORD of hosts hath spoken it.(KJV-1611) Mic 4:4 Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a!(Creole-HT) ======= Micah 4:5 ============ Mic 4:5 For all people will walk every one in the name of his god, and we will walk in the name of the LORD our God for ever and ever.(KJV-1611) Mic 4:5 Chak nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Seyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan.(Creole-HT) ======= Micah 4:6 ============ Mic 4:6 In that day, saith the LORD, will I assemble her that halteth, and I will gather her that is driven out, and her that I have afflicted;(KJV-1611) Mic 4:6 Seyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M' aval chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo.(Creole-HT) ======= Micah 4:7 ============ Mic 4:7 And I will make her that halted a remnant, and her that was cast far off a strong nation: and the LORD shall reign over them in mount Zion from henceforth, even for ever.(KJV-1611) Mic 4:7 Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Seyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Micah 4:8 ============ Mic 4:8 And thou, O tower of the flock, the strong hold of the daughter of Zion, unto thee shall it come, even the first dominion; the kingdom shall come to the daughter of Jerusalem.(KJV-1611) Mic 4:8 Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an.(Creole-HT) ======= Micah 4:9 ============ Mic 4:9 Now why dost thou cry out aloud? is there no king in thee? is thy counsellor perished? for pangs have taken thee as a woman in travail.(KJV-1611) Mic 4:9 Koulye a, poukisa w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri?(Creole-HT) ======= Micah 4:10 ============ Mic 4:10 Be in pain, and labour to bring forth, O daughter of Zion, like a woman in travail: for now shalt thou go forth out of the city, and thou shalt dwell in the field, and thou shalt go even to Babylon; there shalt thou be delivered; there the LORD shall redeem thee from the hand of thine enemies.(KJV-1611) Mic 4:10 Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Micah 4:11 ============ Mic 4:11 Now also many nations are gathered against thee, that say, Let her be defiled, and let our eye look upon Zion.(KJV-1611) Mic 4:11 Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt.(Creole-HT) ======= Micah 4:12 ============ Mic 4:12 But they know not the thoughts of the LORD, neither understand they his counsel: for he shall gather them as the sheaves into the floor.(KJV-1611) Mic 4:12 Men, moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tèt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l' ka pini yo tankou lè yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo.(Creole-HT) ======= Micah 4:13 ============ Mic 4:13 Arise and thresh, O daughter of Zion: for I will make thine horn iron, and I will make thy hoofs brass: and thou shalt beat in pieces many people: and I will consecrate their gain unto the LORD, and their substance unto the Lord of the whole earth.(KJV-1611) Mic 4:13 Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè.(Creole-HT) ======= Micah 5:1 ============ Mic 5:1 Now gather thyself in troops, O daughter of troops: he hath laid siege against us: they shall smite the judge of Israel with a rod upon the cheek.(KJV-1611) Mic 5:1 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'.(Creole-HT) ======= Micah 5:2 ============ Mic 5:2 But thou, Bethlehem Ephratah, though thou be little among the thousands of Judah, yet out of thee shall he come forth unto me that is to be ruler in Israel; whose goings forth have been from of old, from everlasting.(KJV-1611) Mic 5:2 Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.(Creole-HT) ======= Micah 5:3 ============ Mic 5:3 Therefore will he give them up, until the time that she which travaileth hath brought forth: then the remnant of his brethren shall return unto the children of Israel.(KJV-1611) Mic 5:3 Se konsa, Seyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la.(Creole-HT) ======= Micah 5:4 ============ Mic 5:4 And he shall stand and feed in the strength of the LORD, in the majesty of the name of the LORD his God; and they shall abide: for now shall he be great unto the ends of the earth.(KJV-1611) Mic 5:4 Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Micah 5:5 ============ Mic 5:5 And this man shall be the peace, when the Assyrian shall come into our land: and when he shall tread in our palaces, then shall we raise against him seven shepherds, and eight principal men.(KJV-1611) Mic 5:5 L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:6 ============ Mic 5:6 And they shall waste the land of Assyria with the sword, and the land of Nimrod in the entrances thereof: thus shall he deliver us from the Assyrian, when he cometh into our land, and when he treadeth within our borders.(KJV-1611) Mic 5:6 Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:7 ============ Mic 5:7 And the remnant of Jacob shall be in the midst of many people as a dew from the LORD, as the showers upon the grass, that tarrieth not for man, nor waiteth for the sons of men.(KJV-1611) Mic 5:7 Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.(Creole-HT) ======= Micah 5:8 ============ Mic 5:8 And the remnant of Jacob shall be among the Gentiles in the midst of many people as a lion among the beasts of the forest, as a young lion among the flocks of sheep: who, if he go through, both treadeth down, and teareth in pieces, and none can deliver.(KJV-1611) Mic 5:8 Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:9 ============ Mic 5:9 Thine hand shall be lifted up upon thine adversaries, and all thine enemies shall be cut off.(KJV-1611) Mic 5:9 Izrayèl va leve kont lènmi li yo, l'a disparèt yo nèt.(Creole-HT) ======= Micah 5:10 ============ Mic 5:10 And it shall come to pass in that day, saith the LORD, that I will cut off thy horses out of the midst of thee, and I will destroy thy chariots:(KJV-1611) Mic 5:10 Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:11 ============ Mic 5:11 And I will cut off the cities of thy land, and throw down all thy strong holds:(KJV-1611) Mic 5:11 M'ap detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:12 ============ Mic 5:12 And I will cut off witchcrafts out of thine hand; and thou shalt have no more soothsayers:(KJV-1611) Mic 5:12 M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò.(Creole-HT) ======= Micah 5:13 ============ Mic 5:13 Thy graven images also will I cut off, and thy standing images out of the midst of thee; and thou shalt no more worship the work of thine hands.(KJV-1611) Mic 5:13 M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò.(Creole-HT) ======= Micah 5:14 ============ Mic 5:14 And I will pluck up thy groves out of the midst of thee: so will I destroy thy cities.(KJV-1611) Mic 5:14 M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo.(Creole-HT) ======= Micah 5:15 ============ Mic 5:15 And I will execute vengeance in anger and fury upon the heathen, such as they have not heard.(KJV-1611) Mic 5:15 Lè sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pa t' obeyi m' yo.(Creole-HT) ======= Micah 6:1 ============ Mic 6:1 Hear ye now what the LORD saith; Arise, contend thou before the mountains, and let the hills hear thy voice.(KJV-1611) Mic 6:1 Koute sa Seyè a ap di: -Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!(Creole-HT) ======= Micah 6:2 ============ Mic 6:2 Hear ye, O mountains, the LORD's controversy, and ye strong foundations of the earth: for the LORD hath a controversy with his people, and he will plead with Israel.(KJV-1611) Mic 6:2 Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Seyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l' plede ak li!(Creole-HT) ======= Micah 6:3 ============ Mic 6:3 O my people, what have I done unto thee? and wherein have I wearied thee? testify against me.(KJV-1611) Mic 6:3 Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non!(Creole-HT) ======= Micah 6:4 ============ Mic 6:4 For I brought thee up out of the land of Egypt, and redeemed thee out of the house of servants; and I sent before thee Moses, Aaron, and Miriam.(KJV-1611) Mic 6:4 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip la. Mwen wete nou nan esklavaj nou te ye nan peyi sa a! Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam pou kondi nou ale.(Creole-HT) ======= Micah 6:5 ============ Mic 6:5 O my people, remember now what Balak king of Moab consulted, and what Balaam the son of Beor answered him from Shittim unto Gilgal; that ye may know the righteousness of the LORD.(KJV-1611) Mic 6:5 Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou!(Creole-HT) ======= Micah 6:6 ============ Mic 6:6 Wherewith shall I come before the LORD, and bow myself before the high God? shall I come before him with burnt offerings, with calves of a year old?(KJV-1611) Mic 6:6 Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l'? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li?(Creole-HT) ======= Micah 6:7 ============ Mic 6:7 Will the LORD be pleased with thousands of rams, or with ten thousands of rivers of oil? shall I give my firstborn for my transgression, the fruit of my body for the sin of my soul?(KJV-1611) Mic 6:7 Eske Seyè a ap kontan si m' pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m' lan pou m' peye pou sa m' fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki soti nan zantray mwen pou m' bay pou kouvri peche mwen?(Creole-HT) ======= Micah 6:8 ============ Mic 6:8 He hath shewed thee, O man, what is good; and what doth the LORD require of thee, but to do justly, and to love mercy, and to walk humbly with thy God?(KJV-1611) Mic 6:8 Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.(Creole-HT) ======= Micah 6:9 ============ Mic 6:9 The LORD's voice crieth unto the city, and the man of wisdom shall see thy name: hear ye the rod, and who hath appointed it.(KJV-1611) Mic 6:9 Lè yon moun gen konprann, li gen krentif pou Seyè a. Seyè a ap rele moun lavil Jerizalèm yo: Koute m' byen, nou tout ki reyini nan lavil la!(Creole-HT) ======= Micah 6:10 ============ Mic 6:10 Are there yet the treasures of wickedness in the house of the wicked, and the scant measure that is abominable?(KJV-1611) Mic 6:10 Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.(Creole-HT) ======= Micah 6:11 ============ Mic 6:11 Shall I count them pure with the wicked balances, and with the bag of deceitful weights?(KJV-1611) Mic 6:11 Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit?(Creole-HT) ======= Micah 6:12 ============ Mic 6:12 For the rich men thereof are full of violence, and the inhabitants thereof have spoken lies, and their tongue is deceitful in their mouth.(KJV-1611) Mic 6:12 Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!(Creole-HT) ======= Micah 6:13 ============ Mic 6:13 Therefore also will I make thee sick in smiting thee, in making thee desolate because of thy sins.(KJV-1611) Mic 6:13 Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt.(Creole-HT) ======= Micah 6:14 ============ Mic 6:14 Thou shalt eat, but not be satisfied; and thy casting down shall be in the midst of thee; and thou shalt take hold, but shalt not deliver; and that which thou deliverest will I give up to the sword.(KJV-1611) Mic 6:14 N'ap manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a.(Creole-HT) ======= Micah 6:15 ============ Mic 6:15 Thou shalt sow, but thou shalt not reap; thou shalt tread the olives, but thou shalt not anoint thee with oil; and sweet wine, but shalt not drink wine.(KJV-1611) Mic 6:15 N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gen tan sèvi avè l'. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gen tan goute ladan l'.(Creole-HT) ======= Micah 6:16 ============ Mic 6:16 For the statutes of Omri are kept, and all the works of the house of Ahab, and ye walk in their counsels; that I should make thee a desolation, and the inhabitants thereof an hissing: therefore ye shall bear the reproach of my people.(KJV-1611) Mic 6:16 Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.(Creole-HT) ======= Micah 7:1 ============ Mic 7:1 Woe is me! for I am as when they have gathered the summer fruits, as the grapegleanings of the vintage: there is no cluster to eat: my soul desired the firstripe fruit.(KJV-1611) Mic 7:1 Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m' mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.(Creole-HT) ======= Micah 7:2 ============ Mic 7:2 The good man is perished out of the earth: and there is none upright among men: they all lie in wait for blood; they hunt every man his brother with a net.(KJV-1611) Mic 7:2 Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.(Creole-HT) ======= Micah 7:3 ============ Mic 7:3 That they may do evil with both hands earnestly, the prince asketh, and the judge asketh for a reward; and the great man, he uttereth his mischievous desire: so they wrap it up.(KJV-1611) Mic 7:3 Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.(Creole-HT) ======= Micah 7:4 ============ Mic 7:4 The best of them is as a brier: the most upright is sharper than a thorn hedge: the day of thy watchmen and thy visitation cometh; now shall be their perplexity.(KJV-1611) Mic 7:4 Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l' te voye yo avèti l' la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l' di ni sa pou l' fè.(Creole-HT) ======= Micah 7:5 ============ Mic 7:5 Trust ye not in a friend, put ye not confidence in a guide: keep the doors of thy mouth from her that lieth in thy bosom.(KJV-1611) Mic 7:5 Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!(Creole-HT) ======= Micah 7:6 ============ Mic 7:6 For the son dishonoureth the father, the daughter riseth up against her mother, the daughter in law against her mother in law; a man's enemies are the men of his own house.(KJV-1611) Mic 7:6 Lè sa a, pitit gason p'ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k'ap viv nan kò kay ou.(Creole-HT) ======= Micah 7:7 ============ Mic 7:7 Therefore I will look unto the LORD; I will wait for the God of my salvation: my God will hear me.(KJV-1611) Mic 7:7 Men, se Seyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m' lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m'!(Creole-HT) ======= Micah 7:8 ============ Mic 7:8 Rejoice not against me, O mine enemy: when I fall, I shall arise; when I sit in darkness, the LORD shall be a light unto me.(KJV-1611) Mic 7:8 Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.(Creole-HT) ======= Micah 7:9 ============ Mic 7:9 I will bear the indignation of the LORD, because I have sinned against him, until he plead my cause, and execute judgment for me: he will bring me forth to the light, and I shall behold his righteousness.(KJV-1611) Mic 7:9 Se pou nou sipòte kòlè Seyè a paske nou fè peche kont Seyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.(Creole-HT) ======= Micah 7:10 ============ Mic 7:10 Then she that is mine enemy shall see it, and shame shall cover her which said unto me, Where is the LORD thy God? mine eyes shall behold her: now shall she be trodden down as the mire of the streets.(KJV-1611) Mic 7:10 Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y'a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N'a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y'a foule yo anba pye, y'a meprize yo tankou labou nan lari.(Creole-HT) ======= Micah 7:11 ============ Mic 7:11 In the day that thy walls are to be built, in that day shall the decree be far removed.(KJV-1611) Mic 7:11 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a.(Creole-HT) ======= Micah 7:12 ============ Mic 7:12 In that day also he shall come even to thee from Assyria, and from the fortified cities, and from the fortress even to the river, and from sea to sea, and from mountain to mountain.(KJV-1611) Mic 7:12 Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y'a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a soti Lejip nan sid, y'a soti lòt bò larivyè Lefrat, y'a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.(Creole-HT) ======= Micah 7:13 ============ Mic 7:13 Notwithstanding the land shall be desolate because of them that dwell therein, for the fruit of their doings.(KJV-1611) Mic 7:13 Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.(Creole-HT) ======= Micah 7:14 ============ Mic 7:14 Feed thy people with thy rod, the flock of thine heritage, which dwell solitarily in the wood, in the midst of Carmel: let them feed in Bashan and Gilead, as in the days of old.(KJV-1611) Mic 7:14 Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l' yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y' al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l' nan tan lontan an!(Creole-HT) ======= Micah 7:15 ============ Mic 7:15 According to the days of thy coming out of the land of Egypt will I shew unto him marvellous things.(KJV-1611) Mic 7:15 Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l' lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la!(Creole-HT) ======= Micah 7:16 ============ Mic 7:16 The nations shall see and be confounded at all their might: they shall lay their hand upon their mouth, their ears shall be deaf.(KJV-1611) Mic 7:16 Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,(Creole-HT) ======= Micah 7:17 ============ Mic 7:17 They shall lick the dust like a serpent, they shall move out of their holes like worms of the earth: they shall be afraid of the LORD our God, and shall fear because of thee.(KJV-1611) Mic 7:17 y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.(Creole-HT) ======= Micah 7:18 ============ Mic 7:18 Who is a God like unto thee, that pardoneth iniquity, and passeth by the transgression of the remnant of his heritage? he retaineth not his anger for ever, because he delighteth in mercy.(KJV-1611) Mic 7:18 Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.(Creole-HT) ======= Micah 7:19 ============ Mic 7:19 He will turn again, he will have compassion upon us; he will subdue our iniquities; and thou wilt cast all their sins into the depths of the sea.(KJV-1611) Mic 7:19 Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!(Creole-HT) ======= Micah 7:20 ============ Mic 7:20 Thou wilt perform the truth to Jacob, and the mercy to Abraham, which thou hast sworn unto our fathers from the days of old.(KJV-1611) Mic 7:20 W'a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l' bay zansèt nou yo nan tan lontan!(Creole-HT) ======= Nahum 1:1 ============ Nah 1:1 The burden of Nineveh. The book of the vision of Nahum the Elkoshite.(KJV-1611) Nah 1:1 Men mesaj Bondye te bay sou lavil Niniv. Men liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a.(Creole-HT) ======= Nahum 1:2 ============ Nah 1:2 God is jealous, and the LORD revengeth; the LORD revengeth, and is furious; the LORD will take vengeance on his adversaries, and he reserveth wrath for his enemies.(KJV-1611) Nah 1:2 Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè.(Creole-HT) ======= Nahum 1:3 ============ Nah 1:3 The LORD is slow to anger, and great in power, and will not at all acquit the wicked: the LORD hath his way in the whirlwind and in the storm, and the clouds are the dust of his feet.(KJV-1611) Nah 1:3 Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.(Creole-HT) ======= Nahum 1:4 ============ Nah 1:4 He rebuketh the sea, and maketh it dry, and drieth up all the rivers: Bashan languisheth, and Carmel, and the flower of Lebanon languisheth.(KJV-1611) Nah 1:4 Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen.(Creole-HT) ======= Nahum 1:5 ============ Nah 1:5 The mountains quake at him, and the hills melt, and the earth is burned at his presence, yea, the world, and all that dwell therein.(KJV-1611) Nah 1:5 Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li.(Creole-HT) ======= Nahum 1:6 ============ Nah 1:6 Who can stand before his indignation? and who can abide in the fierceness of his anger? his fury is poured out like fire, and the rocks are thrown down by him.(KJV-1611) Nah 1:6 Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.(Creole-HT) ======= Nahum 1:7 ============ Nah 1:7 The LORD is good, a strong hold in the day of trouble; and he knoweth them that trust in him.(KJV-1611) Nah 1:7 Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.(Creole-HT) ======= Nahum 1:8 ============ Nah 1:8 But with an overrunning flood he will make an utter end of the place thereof, and darkness shall pursue his enemies.(KJV-1611) Nah 1:8 Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l' yo jouk li fini ak yo.(Creole-HT) ======= Nahum 1:9 ============ Nah 1:9 What do ye imagine against the LORD? he will make an utter end: affliction shall not rise up the second time.(KJV-1611) Nah 1:9 Kisa n'ap konplote konsa sou do Seyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l' yon lòt fwa ankò.(Creole-HT) ======= Nahum 1:10 ============ Nah 1:10 For while they be folden together as thorns, and while they are drunken as drunkards, they shall be devoured as stubble fully dry.(KJV-1611) Nah 1:10 Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.(Creole-HT) ======= Nahum 1:11 ============ Nah 1:11 There is one come out of thee, that imagineth evil against the LORD, a wicked counsellor.(KJV-1611) Nah 1:11 Yon nonm soti lavil Niniv. Li gen yon bann move lide nan tèt li, l'ap fè konplo sou do Seyè a.(Creole-HT) ======= Nahum 1:12 ============ Nah 1:12 Thus saith the LORD; Though they be quiet, and likewise many, yet thus shall they be cut down, when he shall pass through. Though I have afflicted thee, I will afflict thee no more.(KJV-1611) Nah 1:12 Men sa Seyè a di pèp li a: -Moun peyi Lasiri yo te mèt anpil, yo te mèt gwonèg, y'ap mouri, y'ap disparèt. Mwen te fè nou soufri. Men, mwen p'ap fè nou sa ankò!(Creole-HT) ======= Nahum 1:13 ============ Nah 1:13 For now will I break his yoke from off thee, and will burst thy bonds in sunder.(KJV-1611) Nah 1:13 Koulye a, mwen pral kraze pouvwa peyi Lasiri k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo.(Creole-HT) ======= Nahum 1:14 ============ Nah 1:14 And the LORD hath given a commandment concerning thee, that no more of thy name be sown: out of the house of thy gods will I cut off the graven image and the molten image: I will make thy grave; for thou art vile.(KJV-1611) Nah 1:14 Men lòd Seyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: -Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò!(Creole-HT) ======= Nahum 1:15 ============ Nah 1:15 Behold upon the mountains the feet of him that bringeth good tidings, that publisheth peace! O Judah, keep thy solemn feasts, perform thy vows: for the wicked shall no more pass through thee; he is utterly cut off.(KJV-1611) Nah 1:15 Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.(Creole-HT) ======= Nahum 2:1 ============ Nah 2:1 He that dasheth in pieces is come up before thy face: keep the munition, watch the way, make thy loins strong, fortify thy power mightily.(KJV-1611) Nah 2:1 Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!(Creole-HT) ======= Nahum 2:2 ============ Nah 2:2 For the LORD hath turned away the excellency of Jacob, as the excellency of Israel: for the emptiers have emptied them out, and marred their vine branches.(KJV-1611) Nah 2:2 Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l' la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.(Creole-HT) ======= Nahum 2:3 ============ Nah 2:3 The shield of his mighty men is made red, the valiant men are in scarlet: the chariots shall be with flaming torches in the day of his preparation, and the fir trees shall be terribly shaken.(KJV-1611) Nah 2:3 Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo.(Creole-HT) ======= Nahum 2:4 ============ Nah 2:4 The chariots shall rage in the streets, they shall justle one against another in the broad ways: they shall seem like torches, they shall run like the lightnings.(KJV-1611) Nah 2:4 Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y'ap pase kouri tankou zèklè.(Creole-HT) ======= Nahum 2:5 ============ Nah 2:5 He shall recount his worthies: they shall stumble in their walk; they shall make haste to the wall thereof, and the defence shall be prepared.(KJV-1611) Nah 2:5 Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y' al defonse pòtay yo.(Creole-HT) ======= Nahum 2:6 ============ Nah 2:6 The gates of the rivers shall be opened, and the palace shall be dissolved.(KJV-1611) Nah 2:6 Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase.(Creole-HT) ======= Nahum 2:7 ============ Nah 2:7 And Huzzab shall be led away captive, she shall be brought up, and her maids shall lead her as with the voice of doves, tabering upon their breasts.(KJV-1611) Nah 2:7 Yo fè larenn lan prizonye. Yo pati avè l'. Sèvant li yo ap plenn, y'ap kriye. Y'ap bat lestonmak yo sitèlman yo nan lapenn.(Creole-HT) ======= Nahum 2:8 ============ Nah 2:8 But Nineveh is of old like a pool of water: yet they shall flee away. Stand, stand, shall they cry; but none shall look back.(KJV-1611) Nah 2:8 Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.(Creole-HT) ======= Nahum 2:9 ============ Nah 2:9 Take ye the spoil of silver, take the spoil of gold: for there is none end of the store and glory out of all the pleasant furniture.(KJV-1611) Nah 2:9 Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè.(Creole-HT) ======= Nahum 2:10 ============ Nah 2:10 She is empty, and void, and waste: and the heart melteth, and the knees smite together, and much pain is in all loins, and the faces of them all gather blackness.(KJV-1611) Nah 2:10 Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.(Creole-HT) ======= Nahum 2:11 ============ Nah 2:11 Where is the dwelling of the lions, and the feedingplace of the young lions, where the lion, even the old lion, walked, and the lion's whelp, and none made them afraid?(KJV-1611) Nah 2:11 Koulye a, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pesonn pa ka fè yo anyen an?(Creole-HT) ======= Nahum 2:12 ============ Nah 2:12 The lion did tear in pieces enough for his whelps, and strangled for his lionesses, and filled his holes with prey, and his dens with ravin.(KJV-1611) Nah 2:12 Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikete.(Creole-HT) ======= Nahum 2:13 ============ Nah 2:13 Behold, I am against thee, saith the LORD of hosts, and I will burn her chariots in the smoke, and the sword shall devour thy young lions: and I will cut off thy prey from the earth, and the voice of thy messengers shall no more be heard.(KJV-1611) Nah 2:13 Koulye a, se mwen menm k'ap regle ak nou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m'ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M'ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p'ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.(Creole-HT) ======= Nahum 3:1 ============ Nah 3:1 Woe to the bloody city! it is all full of lies and robbery; the prey departeth not;(KJV-1611) Nah 3:1 Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt.(Creole-HT) ======= Nahum 3:2 ============ Nah 3:2 The noise of a whip, and the noise of the rattling of the wheels, and of the pransing horses, and of the jumping chariots.(KJV-1611) Nah 3:2 Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini.(Creole-HT) ======= Nahum 3:3 ============ Nah 3:3 The horseman lifteth up both the bright sword and the glittering spear: and there is a multitude of slain, and a great number of carcases; and there is none end of their corpses; they stumble upon their corpses:(KJV-1611) Nah 3:3 Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.(Creole-HT) ======= Nahum 3:4 ============ Nah 3:4 Because of the multitude of the whoredoms of the wellfavoured harlot, the mistress of witchcrafts, that selleth nations through her whoredoms, and families through her witchcrafts.(KJV-1611) Nah 3:4 Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!(Creole-HT) ======= Nahum 3:5 ============ Nah 3:5 Behold, I am against thee, saith the LORD of hosts; and I will discover thy skirts upon thy face, and I will shew the nations thy nakedness, and the kingdoms thy shame.(KJV-1611) Nah 3:5 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont.(Creole-HT) ======= Nahum 3:6 ============ Nah 3:6 And I will cast abominable filth upon thee, and make thee vile, and will set thee as a gazingstock.(KJV-1611) Nah 3:6 Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.(Creole-HT) ======= Nahum 3:7 ============ Nah 3:7 And it shall come to pass, that all they that look upon thee shall flee from thee, and say, Nineveh is laid waste: who will bemoan her? whence shall I seek comforters for thee?(KJV-1611) Nah 3:7 Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pesonn ka vle vin kenbe rèl la avè l'.(Creole-HT) ======= Nahum 3:8 ============ Nah 3:8 Art thou better than populous No, that was situate among the rivers, that had the waters round about it, whose rampart was the sea, and her wall was from the sea?(KJV-1611) Nah 3:8 Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l',(Creole-HT) ======= Nahum 3:9 ============ Nah 3:9 Ethiopia and Egypt were her strength, and it was infinite; Put and Lubim were thy helpers.(KJV-1611) Nah 3:9 atout li te anvayi peyi Letiopi ak peyi Lejip kifè pa t' gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l',(Creole-HT) ======= Nahum 3:10 ============ Nah 3:10 Yet was she carried away, she went into captivity: her young children also were dashed in pieces at the top of all the streets: and they cast lots for her honourable men, and all her great men were bound in chains.(KJV-1611) Nah 3:10 yo fè moun li yo prizonye, yo depòte yo nan lòt peyi. Nan tout kalfou, yo kraze pitit li yo jouk yo mouri. Yo mare grannèg li yo nan chenn kou esklav. Yo separe yo, yo tire osò pou bay chak moun pa yo.(Creole-HT) ======= Nahum 3:11 ============ Nah 3:11 Thou also shalt be drunken: thou shalt be hid, thou also shalt seek strength because of the enemy.(KJV-1611) Nah 3:11 Ou menm tou, lavil Niniv, ou pral sou. Tèt ou pral vire. Ou menm tou, ou pral chache kote pou ou kache pou lènmi ou yo.(Creole-HT) ======= Nahum 3:12 ============ Nah 3:12 All thy strong holds shall be like fig trees with the firstripe figs: if they be shaken, they shall even fall into the mouth of the eater.(KJV-1611) Nah 3:12 Fò ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l', epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo.(Creole-HT) ======= Nahum 3:13 ============ Nah 3:13 Behold, thy people in the midst of thee are women: the gates of thy land shall be set wide open unto thine enemies: the fire shall devour thy bars.(KJV-1611) Nah 3:13 Sòlda ou yo, ou ta di yon bann fanm! Peyi a ap san defans devan lènmi ou yo, dife boule ba ki fèmen pòtay ou yo. Yo rete gran louvri.(Creole-HT) ======= Nahum 3:14 ============ Nah 3:14 Draw thee waters for the siege, fortify thy strong holds: go into clay, and tread the morter, make strong the brickkiln.(KJV-1611) Nah 3:14 Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik.(Creole-HT) ======= Nahum 3:15 ============ Nah 3:15 There shall the fire devour thee; the sword shall cut thee off, it shall eat thee up like the cankerworm: make thyself many as the cankerworm, make thyself many as the locusts.(KJV-1611) Nah 3:15 Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou.(Creole-HT) ======= Nahum 3:16 ============ Nah 3:16 Thou hast multiplied thy merchants above the stars of heaven: the cankerworm spoileth, and fleeth away.(KJV-1611) Nah 3:16 Ou te gen plis moun k'ap fè kòmès pase gen zetwal nan syèl la. Koulye a, yo pati tankou krikèt ki louvri zèl yo vole ale.(Creole-HT) ======= Nahum 3:17 ============ Nah 3:17 Thy crowned are as the locusts, and thy captains as the great grasshoppers, which camp in the hedges in the cold day, but when the sun ariseth they flee away, and their place is not known where they are.(KJV-1611) Nah 3:17 Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè.(Creole-HT) ======= Nahum 3:18 ============ Nah 3:18 Thy shepherds slumber, O king of Assyria: thy nobles shall dwell in the dust: thy people is scattered upon the mountains, and no man gathereth them.(KJV-1611) Nah 3:18 Ou menm wa peyi Lasiri a, faksyonnè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pesonn pou fè yo tounen lakay yo ankò.(Creole-HT) ======= Nahum 3:19 ============ Nah 3:19 There is no healing of thy bruise; thy wound is grievous: all that hear the bruit of thee shall clap the hands over thee: for upon whom hath not thy wickedness passed continually?(KJV-1611) Nah 3:19 Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:1 ============ Hab 1:1 The burden which Habakkuk the prophet did see.(KJV-1611) Hab 1:1 Men mesaj Bondye te bay pwofèt Abakouk nan yon vizyon.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:2 ============ Hab 1:2 O LORD, how long shall I cry, and thou wilt not hear! even cry out unto thee of violence, and thou wilt not save!(KJV-1611) Hab 1:2 Seyè! Konbe tan ankò pou m' pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m'? Konbe tan ankò pou m' pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo?(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:3 ============ Hab 1:3 Why dost thou shew me iniquity, and cause me to behold grievance? for spoiling and violence are before me: and there are that raise up strife and contention.(KJV-1611) Hab 1:3 Poukisa w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Ki jan ou ka rete kanpe konsa ap gade tout lenjistis sa yo? Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:4 ============ Hab 1:4 Therefore the law is slacked, and judgment doth never go forth: for the wicked doth compass about the righteous; therefore wrong judgment proceedeth.(KJV-1611) Hab 1:4 Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan yo ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:5 ============ Hab 1:5 Behold ye among the heathen, and regard, and wonder marvelously: for I will work a work in your days which ye will not believe, though it be told you.(KJV-1611) Hab 1:5 Seyè a pale ak pèp li a, li di: -Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon travay devan je nou. Si se moun ki ta vin di nou sa, nou pa ta kwè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:6 ============ Hab 1:6 For, lo, I raise up the Chaldeans, that bitter and hasty nation, which shall march through the breadth of the land, to possess the dwellingplaces that are not their's.(KJV-1611) Hab 1:6 M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:7 ============ Hab 1:7 They are terrible and dreadful: their judgment and their dignity shall proceed of themselves.(KJV-1611) Hab 1:7 Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pesonn. Yo pa pran lòd nan men pesonn. Yo fè sa yo pi pito.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:8 ============ Hab 1:8 Their horses also are swifter than the leopards, and are more fierce than the evening wolves: and their horsemen shall spread themselves, and their horsemen shall come from far; they shall fly as the eagle that hasteth to eat.(KJV-1611) Hab 1:8 Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:9 ============ Hab 1:9 They shall come all for violence: their faces shall sup up as the east wind, and they shall gather the captivity as the sand.(KJV-1611) Hab 1:9 Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:10 ============ Hab 1:10 And they shall scoff at the kings, and the princes shall be a scorn unto them: they shall deride every strong hold; for they shall heap dust, and take it.(KJV-1611) Hab 1:10 Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:11 ============ Hab 1:11 Then shall his mind change, and he shall pass over, and offend, imputing this his power unto his god.(KJV-1611) Hab 1:11 Yo pase tankou yon koutvan, yo kraze brize, epi y' al fè wout yo. Bondye yo se fòs yo gen nan ponyèt yo. Se nan sa yo kwè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:12 ============ Hab 1:12 Art thou not from everlasting, O LORD my God, mine Holy One? we shall not die. O LORD, thou hast ordained them for judgment; and, O mighty God, thou hast established them for correction.(KJV-1611) Hab 1:12 Seyè! Depi tout tan se ou ki Bondye. Ou se Bondye m', Bondye tout bon ki la pou tout tan an. Seyè, Bondye mwen, ou menm k'ap pwoteje m'! Se pèp sa a ou chwazi pou fè travay ou? Se pèp sa a ou voye pou pini nou?(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:13 ============ Hab 1:13 Thou art of purer eyes than to behold evil, and canst not look on iniquity: wherefore lookest thou upon them that deal treacherously, and holdest thy tongue when the wicked devoureth the man that is more righteous than he?(KJV-1611) Hab 1:13 Ou twò bon pou ou kite moun ap fè mechanste devan je ou konsa! Ou pa ka rete ap gade moun ap fè lenjistis devan ou konsa! Ki jan ou fè rete ap gade bann moun trèt sa yo? Poukisa ou pa di anyen lè mechan yo ap fini ak moun ki pi inonsan pase yo?(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:14 ============ Hab 1:14 And makest men as the fishes of the sea, as the creeping things, that have no ruler over them?(KJV-1611) Hab 1:14 Kouman ou ka aji ak moun tankou si yo te pwason nan lanmè, tankou koulèv nan raje ki pa gen mèt?(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:15 ============ Hab 1:15 They take up all of them with the angle, they catch them in their net, and gather them in their drag: therefore they rejoice and are glad.(KJV-1611) Hab 1:15 Moun Babilòn yo pran moun nan zen tankou pwason. Yo rale yo nan senn, yo ranmase yo nan nas. Lèfini, yo kontan, y'ap fè fèt.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:16 ============ Hab 1:16 Therefore they sacrifice unto their net, and burn incense unto their drag; because by them their portion is fat, and their meat plenteous.(KJV-1611) Hab 1:16 Se sak fè tou, yo fè ofrann bèt yo touye pou senn yo, yo boule lansan pou nas yo, paske se nan senn yo ak nan nas yo yo jwenn tout kalite bon pwason pou yo manje.(Creole-HT) ======= Habakkuk 1:17 ============ Hab 1:17 Shall they therefore empty their net, and not spare continually to slay the nations?(KJV-1611) Hab 1:17 Eske yo pral toujou sèvi ak nepe yo san rete, pou yo touye moun lòt nasyon san yo pa gen pitye pou yo?(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:1 ============ Hab 2:1 I will stand upon my watch, and set me upon the tower, and will watch to see what he will say unto me, and what I shall answer when I am reproved.(KJV-1611) Hab 2:1 Mwen moute sou fò a pou m' veye. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a, m'ap tann pou m' wè sa Seyè a pral di m', ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen plenyen ba li a.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:2 ============ Hab 2:2 And the LORD answered me, and said, Write the vision, and make it plain upon tables, that he may run that readeth it.(KJV-1611) Hab 2:2 Men repons Seyè a ban mwen. Li di m' konsa: -Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l' byen grave sou wòch plat pou moun ka li l' fasil.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:3 ============ Hab 2:3 For the vision is yet for an appointed time, but at the end it shall speak, and not lie: though it tarry, wait for it; because it will surely come, it will not tarry.(KJV-1611) Hab 2:3 Ekri l' paske se poko lè pou sa m' pral fè ou wè a rive. Men, li p'ap pran lontan ankò pou l' rive. Li gen pou l' rive vre. Si li pran reta pou l' rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l' rive lè pou l' rive a.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:4 ============ Hab 2:4 Behold, his soul which is lifted up is not upright in him: but the just shall live by his faith.(KJV-1611) Hab 2:4 Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p'ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:5 ============ Hab 2:5 Yea also, because he transgresseth by wine, he is a proud man, neither keepeth at home, who enlargeth his desire as hell, and is as death, and cannot be satisfied, but gathereth unto him all nations, and heapeth unto him all people:(KJV-1611) Hab 2:5 Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:6 ============ Hab 2:6 Shall not all these take up a parable against him, and a taunting proverb against him, and say, Woe to him that increaseth that which is not his! how long? and to him that ladeth himself with thick clay!(KJV-1611) Hab 2:6 Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:7 ============ Hab 2:7 Shall they not rise up suddenly that shall bite thee, and awake that shall vex thee, and thou shalt be for booties unto them?(KJV-1611) Hab 2:7 Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:8 ============ Hab 2:8 Because thou hast spoiled many nations, all the remnant of the people shall spoil thee; because of men's blood, and for the violence of the land, of the city, and of all that dwell therein.(KJV-1611) Hab 2:8 Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:9 ============ Hab 2:9 Woe to him that coveteth an evil covetousness to his house, that he may set his nest on high, that he may be delivered from the power of evil!(KJV-1611) Hab 2:9 Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:10 ============ Hab 2:10 Thou hast consulted shame to thy house by cutting off many people, and hast sinned against thy soul.(KJV-1611) Hab 2:10 Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:11 ============ Hab 2:11 For the stone shall cry out of the wall, and the beam out of the timber shall answer it.(KJV-1611) Hab 2:11 Ata wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:12 ============ Hab 2:12 Woe to him that buildeth a town with blood, and stablisheth a city by iniquity!(KJV-1611) Hab 2:12 Madichon pou moun k'ap touye moun, k'ap fè lenjistis pou bati lavil yo!(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:13 ============ Hab 2:13 Behold, is it not of the LORD of hosts that the people shall labour in the very fire, and the people shall weary themselves for very vanity?(KJV-1611) Hab 2:13 Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:14 ============ Hab 2:14 For the earth shall be filled with the knowledge of the glory of the LORD, as the waters cover the sea.(KJV-1611) Hab 2:14 Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:15 ============ Hab 2:15 Woe unto him that giveth his neighbour drink, that puttest thy bottle to him, and makest him drunken also, that thou mayest look on their nakedness!(KJV-1611) Hab 2:15 Madichon pou moun k'ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:16 ============ Hab 2:16 Thou art filled with shame for glory: drink thou also, and let thy foreskin be uncovered: the cup of the LORD's right hand shall be turned unto thee, and shameful spewing shall be on thy glory.(KJV-1611) Hab 2:16 Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:17 ============ Hab 2:17 For the violence of Lebanon shall cover thee, and the spoil of beasts, which made them afraid, because of men's blood, and for the violence of the land, of the city, and of all that dwell therein.(KJV-1611) Hab 2:17 Yo te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Koulye a, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bèt li yo. Koulye a, bèt li yo pral fè yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:18 ============ Hab 2:18 What profiteth the graven image that the maker thereof hath graven it; the molten image, and a teacher of lies, that the maker of his work trusteth therein, to make dumb idols?(KJV-1611) Hab 2:18 Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l'ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:19 ============ Hab 2:19 Woe unto him that saith to the wood, Awake; to the dumb stone, Arise, it shall teach! Behold, it is laid over with gold and silver, and there is no breath at all in the midst of it.(KJV-1611) Hab 2:19 Madichon pou moun k'ap pale ak yon bout bwa, epi k'ap di l': Leve non! Madichon pou moun k'ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k'ap di l': Kanpe non! Eske bout bwa ak moso ròch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.(Creole-HT) ======= Habakkuk 2:20 ============ Hab 2:20 But the LORD is in his holy temple: let all the earth keep silence before him.(KJV-1611) Hab 2:20 Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:1 ============ Hab 3:1 A prayer of Habakkuk the prophet upon Shigionoth.(KJV-1611) Hab 3:1 Men lapriyè pwofèt Abakouk te fè pou li plenyen sò li bay Bondye.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:2 ============ Hab 3:2 O LORD, I have heard thy speech, and was afraid: O LORD, revive thy work in the midst of the years, in the midst of the years make known; in wrath remember mercy.(KJV-1611) Hab 3:2 -Seyè! Mwen tande tou sa ou te di. M' sezi, m'ap tranble nan tout kò m'. Seyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, koulye a, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou!(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:3 ============ Hab 3:3 God came from Teman, and the Holy One from mount Paran. Selah. His glory covered the heavens, and the earth was full of his praise.(KJV-1611) Hab 3:3 Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:4 ============ Hab 3:4 And his brightness was as the light; he had horns coming out of his hand: and there was the hiding of his power.(KJV-1611) Hab 3:4 Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:5 ============ Hab 3:5 Before him went the pestilence, and burning coals went forth at his feet.(KJV-1611) Hab 3:5 Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:6 ============ Hab 3:6 He stood, and measured the earth: he beheld, and drove asunder the nations; and the everlasting mountains were scattered, the perpetual hills did bow: his ways are everlasting.(KJV-1611) Hab 3:6 Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:7 ============ Hab 3:7 I saw the tents of Cushan in affliction: and the curtains of the land of Midian did tremble.(KJV-1611) Hab 3:7 Mwen wè moun peyi Letiopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:8 ============ Hab 3:8 Was the LORD displeased against the rivers? was thine anger against the rivers? was thy wrath against the sea, that thou didst ride upon thine horses and thy chariots of salvation?(KJV-1611) Hab 3:8 Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Seyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nwaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a?(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:9 ============ Hab 3:9 Thy bow was made quite naked, according to the oaths of the tribes, even thy word. Selah. Thou didst cleave the earth with rivers.(KJV-1611) Hab 3:9 Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:10 ============ Hab 3:10 The mountains saw thee, and they trembled: the overflowing of the water passed by: the deep uttered his voice, and lifted up his hands on high.(KJV-1611) Hab 3:10 Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:11 ============ Hab 3:11 The sun and moon stood still in their habitation: at the light of thine arrows they went, and at the shining of thy glittering spear.(KJV-1611) Hab 3:11 Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:12 ============ Hab 3:12 Thou didst march through the land in indignation, thou didst thresh the heathen in anger.(KJV-1611) Hab 3:12 Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:13 ============ Hab 3:13 Thou wentest forth for the salvation of thy people, even for salvation with thine anointed; thou woundedst the head out of the house of the wicked, by discovering the foundation unto the neck. Selah.(KJV-1611) Hab 3:13 Ou soti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:14 ============ Hab 3:14 Thou didst strike through with his staves the head of his villages: they came out as a whirlwind to scatter me: their rejoicing was as to devour the poor secretly.(KJV-1611) Hab 3:14 Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:15 ============ Hab 3:15 Thou didst walk through the sea with thine horses, through the heap of great waters.(KJV-1611) Hab 3:15 Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:16 ============ Hab 3:16 When I heard, my belly trembled; my lips quivered at the voice: rottenness entered into my bones, and I trembled in myself, that I might rest in the day of trouble: when he cometh up unto the people, he will invade them with his troops.(KJV-1611) Hab 3:16 Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:17 ============ Hab 3:17 Although the fig tree shall not blossom, neither shall fruit be in the vines; the labour of the olive shall fail, and the fields shall yield no meat; the flock shall be cut off from the fold, and there shall be no herd in the stalls:(KJV-1611) Hab 3:17 Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:18 ============ Hab 3:18 Yet I will rejoice in the LORD, I will joy in the God of my salvation.(KJV-1611) Hab 3:18 mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.(Creole-HT) ======= Habakkuk 3:19 ============ Hab 3:19 The LORD God is my strength, and he will make my feet like hinds' feet, and he will make me to walk upon mine high places. To the chief singer on my stringed instruments.(KJV-1611) Hab 3:19 Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:1 ============ Zep 1:1 The word of the LORD which came unto Zephaniah the son of Cushi, the son of Gedaliah, the son of Amariah, the son of Hizkiah, in the days of Josiah the son of Amon, king of Judah.(KJV-1611) Zep 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:2 ============ Zep 1:2 I will utterly consume all things from off the land, saith the LORD.(KJV-1611) Zep 1:2 Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:3 ============ Zep 1:3 I will consume man and beast; I will consume the fowls of the heaven, and the fishes of the sea, and the stumbling blocks with the wicked: and I will cut off man from off the land, saith the LORD.(KJV-1611) Zep 1:3 Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:4 ============ Zep 1:4 I will also stretch out mine hand upon Judah, and upon all the inhabitants of Jerusalem; and I will cut off the remnant of Baal from this place, and the name of the Chemarims with the priests;(KJV-1611) Zep 1:4 Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:5 ============ Zep 1:5 And them that worship the host of heaven upon the housetops; and them that worship and that swear by the LORD, and that swear by Malcham;(KJV-1611) Zep 1:5 Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:6 ============ Zep 1:6 And them that are turned back from the LORD; and those that have not sought the LORD, nor enquired for him.(KJV-1611) Zep 1:6 M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:7 ============ Zep 1:7 Hold thy peace at the presence of the Lord GOD: for the day of the LORD is at hand: for the LORD hath prepared a sacrifice, he hath bid his guests.(KJV-1611) Zep 1:7 Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Seyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l'ap envite yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:8 ============ Zep 1:8 And it shall come to pass in the day of the LORD's sacrifice, that I will punish the princes, and the king's children, and all such as are clothed with strange apparel.(KJV-1611) Zep 1:8 Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:9 ============ Zep 1:9 In the same day also will I punish all those that leap on the threshold, which fill their masters' houses with violence and deceit.(KJV-1611) Zep 1:9 M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou moun lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap touye moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo pran.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:10 ============ Zep 1:10 And it shall come to pass in that day, saith the LORD, that there shall be the noise of a cry from the fish gate, and an howling from the second, and a great crashing from the hills.(KJV-1611) Zep 1:10 Se mwen menm Seyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:11 ============ Zep 1:11 Howl, ye inhabitants of Maktesh, for all the merchant people are cut down; all they that bear silver are cut off.(KJV-1611) Zep 1:11 Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:12 ============ Zep 1:12 And it shall come to pass at that time, that I will search Jerusalem with candles, and punish the men that are settled on their lees: that say in their heart, The LORD will not do good, neither will he do evil.(KJV-1611) Zep 1:12 Lè sa a, men sa k'ap rive. M'ap limen lanp pou m' fouye lavil Jerizalèm. M'ap pini tout moun ki chita chita yo tou dousman, epi k'ap di nan kè yo: Bondye p'ap fè anyen.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:13 ============ Zep 1:13 Therefore their goods shall become a booty, and their houses a desolation: they shall also build houses, but not inhabit them; and they shall plant vineyards, but not drink the wine thereof.(KJV-1611) Zep 1:13 Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:14 ============ Zep 1:14 The great day of the LORD is near, it is near, and hasteth greatly, even the voice of the day of the LORD: the mighty man shall cry there bitterly.(KJV-1611) Zep 1:14 Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:15 ============ Zep 1:15 That day is a day of wrath, a day of trouble and distress, a day of wasteness and desolation, a day of darkness and gloominess, a day of clouds and thick darkness,(KJV-1611) Zep 1:15 Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:16 ============ Zep 1:16 A day of the trumpet and alarm against the fenced cities, and against the high towers.(KJV-1611) Zep 1:16 Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y' al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:17 ============ Zep 1:17 And I will bring distress upon men, that they shall walk like blind men, because they have sinned against the LORD: and their blood shall be poured out as dust, and their flesh as the dung.(KJV-1611) Zep 1:17 Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.(Creole-HT) ======= Zephaniah 1:18 ============ Zep 1:18 Neither their silver nor their gold shall be able to deliver them in the day of the LORD's wrath; but the whole land shall be devoured by the fire of his jealousy: for he shall make even a speedy riddance of all them that dwell in the land.(KJV-1611) Zep 1:18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:1 ============ Zep 2:1 Gather yourselves together, yea, gather together, O nation not desired;(KJV-1611) Zep 2:1 Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile byen,(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:2 ============ Zep 2:2 Before the decree bring forth, before the day pass as the chaff, before the fierce anger of the LORD come upon you, before the day of the LORD's anger come upon you.(KJV-1611) Zep 2:2 anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Seyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Seyè a rive sou nou.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:3 ============ Zep 2:3 Seek ye the LORD, all ye meek of the earth, which have wrought his judgment; seek righteousness, seek meekness: it may be ye shall be hid in the day of the LORD's anger.(KJV-1611) Zep 2:3 Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:4 ============ Zep 2:4 For Gaza shall be forsaken, and Ashkelon a desolation: they shall drive out Ashdod at the noon day, and Ekron shall be rooted up.(KJV-1611) Zep 2:4 p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:5 ============ Zep 2:5 Woe unto the inhabitants of the sea coast, the nation of the Cherethites! the word of the LORD is against you; O Canaan, the land of the Philistines, I will even destroy thee, that there shall be no inhabitant.(KJV-1611) Zep 2:5 Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:6 ============ Zep 2:6 And the sea coast shall be dwellings and cottages for shepherds, and folds for flocks.(KJV-1611) Zep 2:6 Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:7 ============ Zep 2:7 And the coast shall be for the remnant of the house of Judah; they shall feed thereupon: in the houses of Ashkelon shall they lie down in the evening: for the LORD their God shall visit them, and turn away their captivity.(KJV-1611) Zep 2:7 Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, y'av al dòmi nan kay lavil Askalon yo. Seyè a, Bondye yo a, va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:8 ============ Zep 2:8 I have heard the reproach of Moab, and the revilings of the children of Ammon, whereby they have reproached my people, and magnified themselves against their border.(KJV-1611) Zep 2:8 Seyè a di ankò! -Mwen te tande jan moun peyi Moab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:9 ============ Zep 2:9 Therefore as I live, saith the LORD of hosts, the God of Israel, Surely Moab shall be as Sodom, and the children of Ammon as Gomorrah, even the breeding of nettles, and saltpits, and a perpetual desolation: the residue of my people shall spoil them, and the remnant of my people shall possess them.(KJV-1611) Zep 2:9 Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:10 ============ Zep 2:10 This shall they have for their pride, because they have reproached and magnified themselves against the people of the LORD of hosts.(KJV-1611) Zep 2:10 Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:11 ============ Zep 2:11 The LORD will be terrible unto them: for he will famish all the gods of the earth; and men shall worship him, every one from his place, even all the isles of the heathen.(KJV-1611) Zep 2:11 Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:12 ============ Zep 2:12 Ye Ethiopians also, ye shall be slain by my sword.(KJV-1611) Zep 2:12 Nou menm tou, moun peyi Letiopi yo, Seyè a ap touye nou nan lagè!(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:13 ============ Zep 2:13 And he will stretch out his hand against the north, and destroy Assyria; and will make Nineveh a desolation, and dry like a wilderness.(KJV-1611) Zep 2:13 Seyè a va leve men l' bò nan nò, l'ap detwi peyi Lasiri. L'ap fè lavil Niniv tounen yon savann, yon tè sèk tankou dezè.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:14 ============ Zep 2:14 And flocks shall lie down in the midst of her, all the beasts of the nations: both the cormorant and the bittern shall lodge in the upper lintels of it; their voice shall sing in the windows; desolation shall be in the thresholds; for he shall uncover the cedar work.(KJV-1611) Zep 2:14 Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay yo. Koukou ak zagoudi pral fè nich yo nan mitan moso demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaou va rele nan papòt kay yo. Y'ap rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 2:15 ============ Zep 2:15 This is the rejoicing city that dwelt carelessly, that said in her heart, I am, and there is none beside me: how is she become a desolation, a place for beasts to lie down in! every one that passeth by her shall hiss, and wag his hand.(KJV-1611) Zep 2:15 Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:1 ============ Zep 3:1 Woe to her that is filthy and polluted, to the oppressing city!(KJV-1611) Zep 3:1 Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:2 ============ Zep 3:2 She obeyed not the voice; she received not correction; she trusted not in the LORD; she drew not near to her God.(KJV-1611) Zep 3:2 Yo pa t' koute Seyè a. Yo pa t' pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t' mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t' vin mande Bondye yo a konsèy ankò.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:3 ============ Zep 3:3 Her princes within her are roaring lions; her judges are evening wolves; they gnaw not the bones till the morrow.(KJV-1611) Zep 3:3 Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:4 ============ Zep 3:4 Her prophets are light and treacherous persons: her priests have polluted the sanctuary, they have done violence to the law.(KJV-1611) Zep 3:4 Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:5 ============ Zep 3:5 The just LORD is in the midst thereof; he will not do iniquity: every morning doth he bring his judgment to light, he faileth not; but the unjust knoweth no shame.(KJV-1611) Zep 3:5 Men Seyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:6 ============ Zep 3:6 I have cut off the nations: their towers are desolate; I made their streets waste, that none passeth by: their cities are destroyed, so that there is no man, that there is none inhabitant.(KJV-1611) Zep 3:6 Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:7 ============ Zep 3:7 I said, Surely thou wilt fear me, thou wilt receive instruction; so their dwelling should not be cut off, howsoever I punished them: but they rose early, and corrupted all their doings.(KJV-1611) Zep 3:7 Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m' te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:8 ============ Zep 3:8 Therefore wait ye upon me, saith the LORD, until the day that I rise up to the prey: for my determination is to gather the nations, that I may assemble the kingdoms, to pour upon them mine indignation, even all my fierce anger: for all the earth shall be devoured with the fire of my jealousy.(KJV-1611) Zep 3:8 Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m' kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m' fè yo santi jan m' fache, jan m' ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:9 ============ Zep 3:9 For then will I turn to the people a pure language, that they may all call upon the name of the LORD, to serve him with one consent.(KJV-1611) Zep 3:9 Lè sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m'.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:10 ============ Zep 3:10 From beyond the rivers of Ethiopia my suppliants, even the daughter of my dispersed, shall bring mine offering.(KJV-1611) Zep 3:10 Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:11 ============ Zep 3:11 In that day shalt thou not be ashamed for all thy doings, wherein thou hast transgressed against me: for then I will take away out of the midst of thee them that rejoice in thy pride, and thou shalt no more be haughty because of my holy mountain.(KJV-1611) Zep 3:11 Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m' sou mòn ki apa pou mwen an.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:12 ============ Zep 3:12 I will also leave in the midst of thee an afflicted and poor people, and they shall trust in the name of the LORD.(KJV-1611) Zep 3:12 Men, moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:13 ============ Zep 3:13 The remnant of Israel shall not do iniquity, nor speak lies; neither shall a deceitful tongue be found in their mouth: for they shall feed and lie down, and none shall make them afraid.(KJV-1611) Zep 3:13 Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:14 ============ Zep 3:14 Sing, O daughter of Zion; shout, O Israel; be glad and rejoice with all the heart, O daughter of Jerusalem.(KJV-1611) Zep 3:14 Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:15 ============ Zep 3:15 The LORD hath taken away thy judgments, he hath cast out thine enemy: the king of Israel, even the LORD, is in the midst of thee: thou shalt not see evil any more.(KJV-1611) Zep 3:15 Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:16 ============ Zep 3:16 In that day it shall be said to Jerusalem, Fear thou not: and to Zion, Let not thine hands be slack.(KJV-1611) Zep 3:16 Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:17 ============ Zep 3:17 The LORD thy God in the midst of thee is mighty; he will save, he will rejoice over thee with joy; he will rest in his love, he will joy over thee with singing.(KJV-1611) Zep 3:17 Seyè a, Bondye nou an, l'a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l' kontan. li ap chante(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:18 ============ Zep 3:18 I will gather them that are sorrowful for the solemn assembly, who are of thee, to whom the reproach of it was a burden.(KJV-1611) Zep 3:18 tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:19 ============ Zep 3:19 Behold, at that time I will undo all that afflict thee: and I will save her that halteth, and gather her that was driven out; and I will get them praise and fame in every land where they have been put to shame.(KJV-1611) Zep 3:19 Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.(Creole-HT) ======= Zephaniah 3:20 ============ Zep 3:20 At that time will I bring you again, even in the time that I gather you: for I will make you a name and a praise among all people of the earth, when I turn back your captivity before your eyes, saith the LORD.(KJV-1611) Zep 3:20 Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Haggai 1:1 ============ Hag 1:1 In the second year of Darius the king, in the sixth month, in the first day of the month, came the word of the LORD by Haggai the prophet unto Zerubbabel the son of Shealtiel, governor of Judah, and to Joshua the son of Josedech, the high priest, saying,(KJV-1611) Hag 1:1 Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis nan peyi Pès la, premye jou nan sizyèm mwa a, Seyè a te bay pwofèt Aje yon mesaj pou Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ki te gouvènè peyi Jida ansanm ak pou Jozye, pitit gason Jozadak la, ki te granprèt lè sa a. Men mesaj la:(Creole-HT) ======= Haggai 1:2 ============ Hag 1:2 Thus speaketh the LORD of hosts, saying, This people say, The time is not come, the time that the LORD's house should be built.(KJV-1611) Hag 1:2 -Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Men sa li di: Moun yo ap plede di se poko lè pou yo bati kay Seyè a!(Creole-HT) ======= Haggai 1:3 ============ Hag 1:3 Then came the word of the LORD by Haggai the prophet, saying,(KJV-1611) Hag 1:3 Se poutèt sa, men mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou pèp la.(Creole-HT) ======= Haggai 1:4 ============ Hag 1:4 Is it time for you, O ye, to dwell in your cieled houses, and this house lie waste?(KJV-1611) Hag 1:4 Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?(Creole-HT) ======= Haggai 1:5 ============ Hag 1:5 Now therefore thus saith the LORD of hosts; Consider your ways.(KJV-1611) Hag 1:5 Bon. Koulye a, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a.(Creole-HT) ======= Haggai 1:6 ============ Hag 1:6 Ye have sown much, and bring in little; ye eat, but ye have not enough; ye drink, but ye are not filled with drink; ye clothe you, but there is none warm; and he that earneth wages earneth wages to put it into a bag with holes.(KJV-1611) Hag 1:6 Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.(Creole-HT) ======= Haggai 1:7 ============ Hag 1:7 Thus saith the LORD of hosts; Consider your ways.(KJV-1611) Hag 1:7 Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a!(Creole-HT) ======= Haggai 1:8 ============ Hag 1:8 Go up to the mountain, and bring wood, and build the house; and I will take pleasure in it, and I will be glorified, saith the LORD.(KJV-1611) Hag 1:8 Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Haggai 1:9 ============ Hag 1:9 Ye looked for much, and, lo it came to little; and when ye brought it home, I did blow upon it. Why? saith the LORD of hosts. Because of mine house that is waste, and ye run every man unto his own house.(KJV-1611) Hag 1:9 Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo.(Creole-HT) ======= Haggai 1:10 ============ Hag 1:10 Therefore the heaven over you is stayed from dew, and the earth is stayed from her fruit.(KJV-1611) Hag 1:10 Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse.(Creole-HT) ======= Haggai 1:11 ============ Hag 1:11 And I called for a drought upon the land, and upon the mountains, and upon the corn, and upon the new wine, and upon the oil, and upon that which the ground bringeth forth, and upon men, and upon cattle, and upon all the labour of the hands.(KJV-1611) Hag 1:11 Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante.(Creole-HT) ======= Haggai 1:12 ============ Hag 1:12 Then Zerubbabel the son of Shealtiel, and Joshua the son of Josedech, the high priest, with all the remnant of the people, obeyed the voice of the LORD their God, and the words of Haggai the prophet, as the LORD their God had sent him, and the people did fear before the LORD.(KJV-1611) Hag 1:12 Lè sa a, Zowobabèl, pitit Chealtyèl la, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la, ansanm ak tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a, yo koute sa Seyè a, Bondye yo a, te di yo, dapre mesaj Seyè a te bay pwofèt Aje pou yo a. Yo te vin gen krentif pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Haggai 1:13 ============ Hag 1:13 Then spake Haggai the LORD's messenger in the LORD's message unto the people, saying, I am with you, saith the LORD.(KJV-1611) Hag 1:13 Epi, Aje, mesaje Seyè a, bay pèp la yon lòt mesaj Seyè a te ba li. Li di yo: -Seyè a fè nou konnen li la avèk nou.(Creole-HT) ======= Haggai 1:14 ============ Hag 1:14 And the LORD stirred up the spirit of Zerubbabel the son of Shealtiel, governor of Judah, and the spirit of Joshua the son of Josedech, the high priest, and the spirit of all the remnant of the people; and they came and did work in the house of the LORD of hosts, their God,(KJV-1611) Hag 1:14 Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a,(Creole-HT) ======= Haggai 1:15 ============ Hag 1:15 In the four and twentieth day of the sixth month, in the second year of Darius the king.(KJV-1611) Hag 1:15 jou ki te make vennkatriyèm jou nan sizyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la.(Creole-HT) ======= Haggai 2:1 ============ Hag 2:1 In the seventh month, in the one and twentieth day of the month, came the word of the LORD by the prophet Haggai, saying,(KJV-1611) Hag 2:1 Jou ki make venteyenyèm jou nan setyèm mwa nan menm lanne a, Seyè a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò.(Creole-HT) ======= Haggai 2:2 ============ Hag 2:2 Speak now to Zerubbabel the son of Shealtiel, governor of Judah, and to Joshua the son of Josedech, the high priest, and to the residue of the people, saying,(KJV-1611) Hag 2:2 Li di li konsa: -Pale ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, ak Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, ansanm ak pèp ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. W'a di yo:(Creole-HT) ======= Haggai 2:3 ============ Hag 2:3 Who is left among you that saw this house in her first glory? and how do ye see it now? is it not in your eyes in comparison of it as nothing?(KJV-1611) Hag 2:3 Eske gen yonn nan nou ki chonje jan tanp lan te bèl nan tan lontan? Ki jan nou wè l' koulye a? Nou pa wè li pa vo anyen?(Creole-HT) ======= Haggai 2:4 ============ Hag 2:4 Yet now be strong, O Zerubbabel, saith the LORD; and be strong, O Joshua, son of Josedech, the high priest; and be strong, all ye people of the land, saith the LORD, and work: for I am with you, saith the LORD of hosts:(KJV-1611) Hag 2:4 Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Haggai 2:5 ============ Hag 2:5 According to the word that I covenanted with you when ye came out of Egypt, so my spirit remaineth among you: fear ye not.(KJV-1611) Hag 2:5 Lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t'ap toujou la avèk nou. Enben! M' la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Haggai 2:6 ============ Hag 2:6 For thus saith the LORD of hosts; Yet once, it is a little while, and I will shake the heavens, and the earth, and the sea, and the dry land;(KJV-1611) Hag 2:6 Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo.(Creole-HT) ======= Haggai 2:7 ============ Hag 2:7 And I will shake all nations, and the desire of all nations shall come: and I will fill this house with glory, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Hag 2:7 Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Haggai 2:8 ============ Hag 2:8 The silver is mine, and the gold is mine, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Hag 2:8 Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Haggai 2:9 ============ Hag 2:9 The glory of this latter house shall be greater than of the former, saith the LORD of hosts: and in this place will I give peace, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Hag 2:9 Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Haggai 2:10 ============ Hag 2:10 In the four and twentieth day of the ninth month, in the second year of Darius, came the word of the LORD by Haggai the prophet, saying,(KJV-1611) Hag 2:10 Jou ki te make vennkatriyèm jou nan nevyèm mwa nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis la, Seyè ki gen tout pouvwa a bay pwofèt Aje yon lòt mesaj ankò. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Haggai 2:11 ============ Hag 2:11 Thus saith the LORD of hosts; Ask now the priests concerning the law, saying,(KJV-1611) Hag 2:11 -Al mande prèt yo sa lalwa di sou sa.(Creole-HT) ======= Haggai 2:12 ============ Hag 2:12 If one bear holy flesh in the skirt of his garment, and with his skirt do touch bread, or pottage, or wine, or oil, or any meat, shall it be holy? And the priests answered and said, No.(KJV-1611) Hag 2:12 Si yon moun pran yon moso vyann yo mete apa pou Bondye, li vlope l' nan ke rad li. Lèfini, li kite rad la touche yon pen, osinon yon manje kwit, osinon yon veso ki gen diven osinon ki gen lwil, ou nenpòt ki kalite manje, èske sa ap mete manje a apa pou Bondye tou pou sa? Lè Aje mande prèt yo sa, yo reponn li: -Non!(Creole-HT) ======= Haggai 2:13 ============ Hag 2:13 Then said Haggai, If one that is unclean by a dead body touch any of these, shall it be unclean? And the priests answered and said, It shall be unclean.(KJV-1611) Hag 2:13 Lèfini, Aje mande yo: -Lè yon moun pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye paske li te manyen yon kadav, lèfini si li manyen yonn nan kalite manje sa yo, èske sa ap fè manje yo pa bon pou sa pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye? Prèt yo reponn li: -Wi!(Creole-HT) ======= Haggai 2:14 ============ Hag 2:14 Then answered Haggai, and said, So is this people, and so is this nation before me, saith the LORD; and so is every work of their hands; and that which they offer there is unclean.(KJV-1611) Hag 2:14 Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Haggai 2:15 ============ Hag 2:15 And now, I pray you, consider from this day and upward, from before a stone was laid upon a stone in the temple of the LORD:(KJV-1611) Hag 2:15 Men sa Seyè a di ankò: -Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Haggai 2:16 ============ Hag 2:16 Since those days were, when one came to an heap of twenty measures, there were but ten: when one came to the pressfat for to draw out fifty vessels out of the press, there were but twenty.(KJV-1611) Hag 2:16 ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.(Creole-HT) ======= Haggai 2:17 ============ Hag 2:17 I smote you with blasting and with mildew and with hail in all the labours of your hands; yet ye turned not to me, saith the LORD.(KJV-1611) Hag 2:17 Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.(Creole-HT) ======= Haggai 2:18 ============ Hag 2:18 Consider now from this day and upward, from the four and twentieth day of the ninth month, even from the day that the foundation of the LORD's temple was laid, consider it.(KJV-1611) Hag 2:18 Men jòdi a, vennkatryèm jou nan nevyèm mwa a, jou nou te fini ak fondasyon tanp lan, kalkile byen sou sa ki pral rive nou la a!(Creole-HT) ======= Haggai 2:19 ============ Hag 2:19 Is the seed yet in the barn? yea, as yet the vine, and the fig tree, and the pomegranate, and the olive tree, hath not brought forth: from this day will I bless you.(KJV-1611) Hag 2:19 Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.(Creole-HT) ======= Haggai 2:20 ============ Hag 2:20 And again the word of the LORD came unto Haggai in the four and twentieth day of the month, saying,(KJV-1611) Hag 2:20 Menm jou sa a, ki te vennkatriyèm jou nan mwa a, Seyè a bay Aje yon dezyèm mesaj. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Haggai 2:21 ============ Hag 2:21 Speak to Zerubbabel, governor of Judah, saying, I will shake the heavens and the earth;(KJV-1611) Hag 2:21 -Pale ak Zowobabèl, gouvènè peyi Jida a, di l' pou mwen: Mwen pral souke syèl la ak latè a.(Creole-HT) ======= Haggai 2:22 ============ Hag 2:22 And I will overthrow the throne of kingdoms, and I will destroy the strength of the kingdoms of the heathen; and I will overthrow the chariots, and those that ride in them; and the horses and their riders shall come down, every one by the sword of his brother.(KJV-1611) Hag 2:22 Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.(Creole-HT) ======= Haggai 2:23 ============ Hag 2:23 In that day, saith the LORD of hosts, will I take thee, O Zerubbabel, my servant, the son of Shealtiel, saith the LORD, and will make thee as a signet: for I have chosen thee, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Hag 2:23 Jou sa a, m'ap pran ou, ou menm Zowobabèl, sèvitè m' lan, pitit gason Chealtyèl la, m'ap ba ou pouvwa pou gouvènen nan non mwen, paske se ou menm mwen chwazi pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa(Creole-HT) ======= Zechariah 1:1 ============ Zch 1:1 In the eighth month, in the second year of Darius, came the word of the LORD unto Zechariah, the son of Berechiah, the son of Iddo the prophet, saying,(KJV-1611) Zec 1:1 Nan uityèm mwa dizyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesaj sa a pou pèp la.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:2 ============ Zch 1:2 The LORD hath been sore displeased with your fathers.(KJV-1611) Zec 1:2 Li di li: -Mwen menm Seyè a, mwen te fache anpil sou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:3 ============ Zch 1:3 Therefore say thou unto them, Thus saith the LORD of hosts; Turn ye unto me, saith the LORD of hosts, and I will turn unto you, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 1:3 Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:4 ============ Zch 1:4 Be ye not as your fathers, unto whom the former prophets have cried, saying, Thus saith the LORD of hosts; Turn ye now from your evil ways, and from your evil doings: but they did not hear, nor hearken unto me, saith the LORD.(KJV-1611) Zec 1:4 Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesaj mwen. Yo te di yo: Men sa Seyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pa t' koute m', yo fè tankou se pa avè yo m' t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:5 ============ Zch 1:5 Your fathers, where are they? and the prophets, do they live for ever?(KJV-1611) Zec 1:5 Kote zansèt nou yo ye koulye a? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri?(Creole-HT) ======= Zechariah 1:6 ============ Zch 1:6 But my words and my statutes, which I commanded my servants the prophets, did they not take hold of your fathers? and they returned and said, Like as the LORD of hosts thought to do unto us, according to our ways, and according to our doings, so hath he dealt with us.(KJV-1611) Zec 1:6 Men, sa m' te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m' yo, pou zansèt nou yo, èske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin règrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te soti pou m' fè l' la.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:7 ============ Zch 1:7 Upon the four and twentieth day of the eleventh month, which is the month Sebat, in the second year of Darius, came the word of the LORD unto Zechariah, the son of Berechiah, the son of Iddo the prophet, saying,(KJV-1611) Zec 1:7 Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis, vennkatriyèm jou nan onzyèm mwa a, mwa yo rele Cheba a, Seyè a bay pwofèt Zakari, pitit Berekya, pitit pitit Ido a, yon mesaj.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:8 ============ Zch 1:8 I saw by night, and behold a man riding upon a red horse, and he stood among the myrtle trees that were in the bottom; and behind him were there red horses, speckled, and white.(KJV-1611) Zec 1:8 Men ki jan pwofèt la rakonte l': -Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:9 ============ Zch 1:9 Then said I, O my lord, what are these? And the angel that talked with me said unto me, I will shew thee what these be.(KJV-1611) Zec 1:9 Mwen mande: -Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen: -Mwen pral fè ou wè sa yo ye.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:10 ============ Zch 1:10 And the man that stood among the myrtle trees answered and said, These are they whom the LORD hath sent to walk to and fro through the earth.(KJV-1611) Zec 1:10 Nonm ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m' konsa: -Se moun Seyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:11 ============ Zch 1:11 And they answered the angel of the LORD that stood among the myrtle trees, and said, We have walked to and fro through the earth, and, behold, all the earth sitteth still, and is at rest.(KJV-1611) Zec 1:11 Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l' konsa: -Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:12 ============ Zch 1:12 Then the angel of the LORD answered and said, O LORD of hosts, how long wilt thou not have mercy on Jerusalem and on the cities of Judah, against which thou hast had indignation these threescore and ten years?(KJV-1611) Zec 1:12 Lè sa a, zanj Seyè a pran lapawòl, epi li di: -Seyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo?(Creole-HT) ======= Zechariah 1:13 ============ Zch 1:13 And the LORD answered the angel that talked with me with good words and comfortable words.(KJV-1611) Zec 1:13 Seyè a reponn zanj ki t'ap pale avè m' lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouraj li.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:14 ============ Zch 1:14 So the angel that communed with me said unto me, Cry thou, saying, Thus saith the LORD of hosts; I am jealous for Jerusalem and for Zion with a great jealousy.(KJV-1611) Zec 1:14 Lèfini, zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Men sa pou ou fè moun yo konnen: Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:15 ============ Zch 1:15 And I am very sore displeased with the heathen that are at ease: for I was but a little displeased, and they helped forward the affliction.(KJV-1611) Zec 1:15 Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:16 ============ Zch 1:16 Therefore thus saith the LORD; I am returned to Jerusalem with mercies: my house shall be built in it, saith the LORD of hosts, and a line shall be stretched forth upon Jerusalem.(KJV-1611) Zec 1:16 Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen men, Seyè a, ki di sa:(Creole-HT) ======= Zechariah 1:17 ============ Zch 1:17 Cry yet, saying, Thus saith the LORD of hosts; My cities through prosperity shall yet be spread abroad; and the LORD shall yet comfort Zion, and shall yet choose Jerusalem.(KJV-1611) Zec 1:17 Zanj lan di m': -Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Seyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m' pa m' ankò.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:18 ============ Zch 1:18 Then lifted I up mine eyes, and saw, and behold four horns.(KJV-1611) Zec 1:18 Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat kòn bèf.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:19 ============ Zch 1:19 And I said unto the angel that talked with me, What be these? And he answered me, These are the horns which have scattered Judah, Israel, and Jerusalem.(KJV-1611) Zec 1:19 Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:20 ============ Zch 1:20 And the LORD shewed me four carpenters.(KJV-1611) Zec 1:20 Apre sa, Seyè a fè m' wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 1:21 ============ Zch 1:21 Then said I, What come these to do? And he spake, saying, These are the horns which have scattered Judah, so that no man did lift up his head: but these are come to fray them, to cast out the horns of the Gentiles, which lifted up their horn over the land of Judah to scatter it.(KJV-1611) Zec 1:21 Mwen mande l': -Kisa moun sa yo vin fè la a? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:1 ============ Zch 2:1 I lifted up mine eyes again, and looked, and behold a man with a measuring line in his hand.(KJV-1611) Zec 2:1 Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:2 ============ Zch 2:2 Then said I, Whither goest thou? And he said unto me, To measure Jerusalem, to see what is the breadth thereof, and what is the length thereof.(KJV-1611) Zec 2:2 Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:3 ============ Zch 2:3 And, behold, the angel that talked with me went forth, and another angel went out to meet him,(KJV-1611) Zec 2:3 Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:4 ============ Zch 2:4 And said unto him, Run, speak to this young man, saying, Jerusalem shall be inhabited as towns without walls for the multitude of men and cattle therein:(KJV-1611) Zec 2:4 Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:5 ============ Zch 2:5 For I, saith the LORD, will be unto her a wall of fire round about, and will be the glory in the midst of her.(KJV-1611) Zec 2:5 Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:6 ============ Zch 2:6 Ho, ho, come forth, and flee from the land of the north, saith the LORD: for I have spread you abroad as the four winds of the heaven, saith the LORD.(KJV-1611) Zec 2:6 Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:7 ============ Zch 2:7 Deliver thyself, O Zion, that dwellest with the daughter of Babylon.(KJV-1611) Zec 2:7 Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou!(Creole-HT) ======= Zechariah 2:8 ============ Zch 2:8 For thus saith the LORD of hosts; After the glory hath he sent me unto the nations which spoiled you: for he that toucheth you toucheth the apple of his eye.(KJV-1611) Zec 2:8 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:9 ============ Zch 2:9 For, behold, I will shake mine hand upon them, and they shall be a spoil to their servants: and ye shall know that the LORD of hosts hath sent me.(KJV-1611) Zec 2:9 Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:10 ============ Zch 2:10 Sing and rejoice, O daughter of Zion: for, lo, I come, and I will dwell in the midst of thee, saith the LORD.(KJV-1611) Zec 2:10 Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!(Creole-HT) ======= Zechariah 2:11 ============ Zch 2:11 And many nations shall be joined to the LORD in that day, and shall be my people: and I will dwell in the midst of thee, and thou shalt know that the LORD of hosts hath sent me unto thee.(KJV-1611) Zec 2:11 Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:12 ============ Zch 2:12 And the LORD shall inherit Judah his portion in the holy land, and shall choose Jerusalem again.(KJV-1611) Zec 2:12 Seyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l' nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò.(Creole-HT) ======= Zechariah 2:13 ============ Zch 2:13 Be silent, O all flesh, before the LORD: for he is raised up out of his holy habitation.(KJV-1611) Zec 2:13 Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!(Creole-HT) ======= Zechariah 3:1 ============ Zch 3:1 And he shewed me Joshua the high priest standing before the angel of the LORD, and Satan standing at his right hand to resist him.(KJV-1611) Zec 3:1 Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:2 ============ Zch 3:2 And the LORD said unto Satan, The LORD rebuke thee, O Satan; even the LORD that hath chosen Jerusalem rebuke thee: is not this a brand plucked out of the fire?(KJV-1611) Zec 3:2 Zanj Seyè a di Satan konsa: -Se pou Seyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Seyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l' pa fin boule nèt.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:3 ============ Zch 3:3 Now Joshua was clothed with filthy garments, and stood before the angel.(KJV-1611) Zec 3:3 Jozye te kanpe la devan zanj Seyè a, ak rad li tou sal.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:4 ============ Zch 3:4 And he answered and spake unto those that stood before him, saying, Take away the filthy garments from him. And unto him he said, Behold, I have caused thine iniquity to pass from thee, and I will clothe thee with change of raiment.(KJV-1611) Zec 3:4 Zanj lan pran lapawòl ankò, li pale ak lòt zanj ki te la tou devan li. Li di yo: -Wete rad sal ki sou li a. Epi li di Jozye konsa: -Ou wè. Mwen wete tout peche ou yo. M'ap ba ou bèl rad pwòp pou ou mete sou ou.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:5 ============ Zch 3:5 And I said, Let them set a fair mitre upon his head. So they set a fair mitre upon his head, and clothed him with garments. And the angel of the LORD stood by.(KJV-1611) Zec 3:5 Lèfini, li pase yon lòd, li di lòt zanj yo: -Mare tèt li ak yon mouchwa pwòp. Yo mare tèt Jozye ak yon bèl mouchwa pwòp, epi yo mete rad pwòp sou li. Zanj lan menm te kanpe la ap gade.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:6 ============ Zch 3:6 And the angel of the LORD protested unto Joshua, saying,(KJV-1611) Zec 3:6 Apre sa, zanj Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Zechariah 3:7 ============ Zch 3:7 Thus saith the LORD of hosts; If thou wilt walk in my ways, and if thou wilt keep my charge, then thou shalt also judge my house, and shalt also keep my courts, and I will give thee places to walk among these that stand by.(KJV-1611) Zec 3:7 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:8 ============ Zch 3:8 Hear now, O Joshua the high priest, thou, and thy fellows that sit before thee: for they are men wondered at: for, behold, I will bring forth my servant the BRANCH.(KJV-1611) Zec 3:8 Koute byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m' lan, sa yo rele Boujon an, vini.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:9 ============ Zch 3:9 For behold the stone that I have laid before Joshua; upon one stone shall be seven eyes: behold, I will engrave the graving thereof, saith the LORD of hosts, and I will remove the iniquity of that land in one day.(KJV-1611) Zec 3:9 Men m'ap mete yon wòch devan Jozye. Wòch sa a gen sèt fas. Se mwen menm ki pral make pawòl ki pou make sou wòch la. Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. M'ap pran yon sèl jou pou m' wete tout peche ki nan peyi a.(Creole-HT) ======= Zechariah 3:10 ============ Zch 3:10 In that day, saith the LORD of hosts, shall ye call every man his neighbour under the vine and under the fig tree.(KJV-1611) Zec 3:10 Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:1 ============ Zch 4:1 And the angel that talked with me came again, and waked me, as a man that is wakened out of his sleep.(KJV-1611) Zec 4:1 Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m' tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l' leve.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:2 ============ Zch 4:2 And said unto me, What seest thou? And I said, I have looked, and behold a candlestick all of gold, with a bowl upon the top of it, and his seven lamps thereon, and seven pipes to the seven lamps, which are upon the top thereof:(KJV-1611) Zec 4:2 Li di m' konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:3 ============ Zch 4:3 And two olive trees by it, one upon the right side of the bowl, and the other upon the left side thereof.(KJV-1611) Zec 4:3 Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:4 ============ Zch 4:4 So I answered and spake to the angel that talked with me, saying, What are these, my lord?(KJV-1611) Zec 4:4 Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye?(Creole-HT) ======= Zechariah 4:5 ============ Zch 4:5 Then the angel that talked with me answered and said unto me, Knowest thou not what these be? And I said, No, my lord.(KJV-1611) Zec 4:5 Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M' pa konnen non!(Creole-HT) ======= Zechariah 4:6 ============ Zch 4:6 Then he answered and spake unto me, saying, This is the word of the LORD unto Zerubbabel, saying, Not by might, nor by power, but by my spirit, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 4:6 Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:7 ============ Zch 4:7 Who art thou, O great mountain? before Zerubbabel thou shalt become a plain: and he shall bring forth the headstone thereof with shoutings, crying, Grace, grace unto it.(KJV-1611) Zec 4:7 Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!(Creole-HT) ======= Zechariah 4:8 ============ Zch 4:8 Moreover the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Zec 4:8 Seyè a pale avè m' ankò, li di m':(Creole-HT) ======= Zechariah 4:9 ============ Zch 4:9 The hands of Zerubbabel have laid the foundation of this house; his hands shall also finish it; and thou shalt know that the LORD of hosts hath sent me unto you.(KJV-1611) Zec 4:9 -Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l' fini l'. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:10 ============ Zch 4:10 For who hath despised the day of small things? for they shall rejoice, and shall see the plummet in the hand of Zerubbabel with those seven; they are the eyes of the LORD, which run to and fro through the whole earth.(KJV-1611) Zec 4:10 Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l'! Zanj lan di m' ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k'ap pase sou latè.(Creole-HT) ======= Zechariah 4:11 ============ Zch 4:11 Then answered I, and said unto him, What are these two olive trees upon the right side of the candlestick and upon the left side thereof?(KJV-1611) Zec 4:11 Mwen mande l': -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?(Creole-HT) ======= Zechariah 4:12 ============ Zch 4:12 And I answered again, and said unto him, What be these two olive branches which through the two golden pipes empty the golden oil out of themselves?(KJV-1611) Zec 4:12 De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di?(Creole-HT) ======= Zechariah 4:13 ============ Zch 4:13 And he answered me and said, Knowest thou not what these be? And I said, No, my lord.(KJV-1611) Zec 4:13 Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non!(Creole-HT) ======= Zechariah 4:14 ============ Zch 4:14 Then said he, These are the two anointed ones, that stand by the LORD of the whole earth.(KJV-1611) Zec 4:14 Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:1 ============ Zch 5:1 Then I turned, and lifted up mine eyes, and looked, and behold a flying roll.(KJV-1611) Zec 5:1 Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:2 ============ Zch 5:2 And he said unto me, What seest thou? And I answered, I see a flying roll; the length thereof is twenty cubits, and the breadth thereof ten cubits.(KJV-1611) Zec 5:2 Zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Kisa ou wè? Mwen reponn li: -Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:3 ============ Zch 5:3 Then said he unto me, This is the curse that goeth forth over the face of the whole earth: for every one that stealeth shall be cut off as on this side according to it; and every one that sweareth shall be cut off as on that side according to it.(KJV-1611) Zec 5:3 Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:4 ============ Zch 5:4 I will bring it forth, saith the LORD of hosts, and it shall enter into the house of the thief, and into the house of him that sweareth falsely by my name: and it shall remain in the midst of his house, and shall consume it with the timber thereof and the stones thereof.(KJV-1611) Zec 5:4 Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:5 ============ Zch 5:5 Then the angel that talked with me went forth, and said unto me, Lift up now thine eyes, and see what is this that goeth forth.(KJV-1611) Zec 5:5 Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:6 ============ Zch 5:6 And I said, What is it? And he said, This is an ephah that goeth forth. He said moreover, This is their resemblance through all the earth.(KJV-1611) Zec 5:6 Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:7 ============ Zch 5:7 And, behold, there was lifted up a talent of lead: and this is a woman that sitteth in the midst of the ephah.(KJV-1611) Zec 5:7 Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:8 ============ Zch 5:8 And he said, This is wickedness. And he cast it into the midst of the ephah; and he cast the weight of lead upon the mouth thereof.(KJV-1611) Zec 5:8 Zanj lan di m' konsa: -Fanm sa a, se mechanste ki non l'! Lèfini, li peze l' antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:9 ============ Zch 5:9 Then lifted I up mine eyes, and looked, and, behold, there came out two women, and the wind was in their wings; for they had wings like the wings of a stork: and they lifted up the ephah between the earth and the heaven.(KJV-1611) Zec 5:9 Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 5:10 ============ Zch 5:10 Then said I to the angel that talked with me, Whither do these bear the ephah?(KJV-1611) Zec 5:10 Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kote yo prale ak panyen an la a?(Creole-HT) ======= Zechariah 5:11 ============ Zch 5:11 And he said unto me, To build it an house in the land of Shinar: and it shall be established, and set there upon her own base.(KJV-1611) Zec 5:11 Li reponn mwen: -Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l' la pou moun adore l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:1 ============ Zch 6:1 And I turned, and lifted up mine eyes, and looked, and, behold, there came four chariots out from between two mountains; and the mountains were mountains of brass.(KJV-1611) Zec 6:1 Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:2 ============ Zch 6:2 In the first chariot were red horses; and in the second chariot black horses;(KJV-1611) Zec 6:2 Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:3 ============ Zch 6:3 And in the third chariot white horses; and in the fourth chariot grisled and bay horses.(KJV-1611) Zec 6:3 Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:4 ============ Zch 6:4 Then I answered and said unto the angel that talked with me, What are these, my lord?(KJV-1611) Zec 6:4 Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt?(Creole-HT) ======= Zechariah 6:5 ============ Zch 6:5 And the angel answered and said unto me, These are the four spirits of the heavens, which go forth from standing before the LORD of all the earth.(KJV-1611) Zec 6:5 Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:6 ============ Zch 6:6 The black horses which are therein go forth into the north country; and the white go forth after them; and the grisled go forth toward the south country.(KJV-1611) Zec 6:6 Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:7 ============ Zch 6:7 And the bay went forth, and sought to go that they might walk to and fro through the earth: and he said, Get you hence, walk to and fro through the earth. So they walked to and fro through the earth.(KJV-1611) Zec 6:7 Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankò pou y' al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:8 ============ Zch 6:8 Then cried he upon me, and spake unto me, saying, Behold, these that go toward the north country have quieted my spirit in the north country.(KJV-1611) Zec 6:8 Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:9 ============ Zch 6:9 And the word of the LORD came unto me, saying,(KJV-1611) Zec 6:9 Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Zechariah 6:10 ============ Zch 6:10 Take of them of the captivity, even of Heldai, of Tobijah, and of Jedaiah, which are come from Babylon, and come thou the same day, and go into the house of Josiah the son of Zephaniah;(KJV-1611) Zec 6:10 -W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:11 ============ Zch 6:11 Then take silver and gold, and make crowns, and set them upon the head of Joshua the son of Josedech, the high priest;(KJV-1611) Zec 6:11 W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l' sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:12 ============ Zch 6:12 And speak unto him, saying, Thus speaketh the LORD of hosts, saying, Behold the man whose name is The BRANCH; and he shall grow up out of his place, and he shall build the temple of the LORD:(KJV-1611) Zec 6:12 Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:13 ============ Zch 6:13 Even he shall build the temple of the LORD; and he shall bear the glory, and shall sit and rule upon his throne; and he shall be a priest upon his throne: and the counsel of peace shall be between them both.(KJV-1611) Zec 6:13 Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:14 ============ Zch 6:14 And the crowns shall be to Helem, and to Tobijah, and to Jedaiah, and to Hen the son of Zephaniah, for a memorial in the temple of the LORD.(KJV-1611) Zec 6:14 Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.(Creole-HT) ======= Zechariah 6:15 ============ Zch 6:15 And they that are far off shall come and build in the temple of the LORD, and ye shall know that the LORD of hosts hath sent me unto you. And this shall come to pass, if ye will diligently obey the voice of the LORD your God.(KJV-1611) Zec 6:15 Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:1 ============ Zch 7:1 And it came to pass in the fourth year of king Darius, that the word of the LORD came unto Zechariah in the fourth day of the ninth month, even in Chisleu;(KJV-1611) Zec 7:1 Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:2 ============ Zch 7:2 When they had sent unto the house of God Sherezer and Regemmelech, and their men, to pray before the LORD,(KJV-1611) Zec 7:2 Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:3 ============ Zch 7:3 And to speak unto the priests which were in the house of the LORD of hosts, and to the prophets, saying, Should I weep in the fifth month, separating myself, as I have done these so many years?(KJV-1611) Zec 7:3 Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?(Creole-HT) ======= Zechariah 7:4 ============ Zch 7:4 Then came the word of the LORD of hosts unto me, saying,(KJV-1611) Zec 7:4 Lè sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pale avè m', li di m' konsa:(Creole-HT) ======= Zechariah 7:5 ============ Zch 7:5 Speak unto all the people of the land, and to the priests, saying, When ye fasted and mourned in the fifth and seventh month, even those seventy years, did ye at all fast unto me, even to me?(KJV-1611) Zec 7:5 -Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?(Creole-HT) ======= Zechariah 7:6 ============ Zch 7:6 And when ye did eat, and when ye did drink, did not ye eat for yourselves, and drink for yourselves?(KJV-1611) Zec 7:6 Konsa tou, lè nou t'ap manje, lè nou t'ap bwè, èske se pa t' pou pwòp plezi pa nou?(Creole-HT) ======= Zechariah 7:7 ============ Zch 7:7 Should ye not hear the words which the LORD hath cried by the former prophets, when Jerusalem was inhabited and in prosperity, and the cities thereof round about her, when men inhabited the south and the plain?(KJV-1611) Zec 7:7 Se menm mesaj sa a Seyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:8 ============ Zch 7:8 And the word of the LORD came unto Zechariah, saying,(KJV-1611) Zec 7:8 Seyè a pale ak Zakari, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Zechariah 7:9 ============ Zch 7:9 Thus speaketh the LORD of hosts, saying, Execute true judgment, and shew mercy and compassions every man to his brother:(KJV-1611) Zec 7:9 -Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:10 ============ Zch 7:10 And oppress not the widow, nor the fatherless, the stranger, nor the poor; and let none of you imagine evil against his brother in your heart.(KJV-1611) Zec 7:10 Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:11 ============ Zch 7:11 But they refused to hearken, and pulled away the shoulder, and stopped their ears, that they should not hear.(KJV-1611) Zec 7:11 Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:12 ============ Zch 7:12 Yea, they made their hearts as an adamant stone, lest they should hear the law, and the words which the LORD of hosts hath sent in his spirit by the former prophets: therefore came a great wrath from the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 7:12 Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:13 ============ Zch 7:13 Therefore it is come to pass, that as he cried, and they would not hear; so they cried, and I would not hear, saith the LORD of hosts:(KJV-1611) Zec 7:13 Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pa t' koute l' lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pa t' reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 7:14 ============ Zch 7:14 But I scattered them with a whirlwind among all the nations whom they knew not. Thus the land was desolate after them, that no man passed through nor returned: for they laid the pleasant land desolate.(KJV-1611) Zec 7:14 Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pa t' konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pesonn ladan l'. Yon bon peyi konsa, yo fè l' tounen yon dezè.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:1 ============ Zch 8:1 Again the word of the LORD of hosts came to me, saying,(KJV-1611) Zec 8:1 Seyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesaj sa a:(Creole-HT) ======= Zechariah 8:2 ============ Zch 8:2 Thus saith the LORD of hosts; I was jealous for Zion with great jealousy, and I was jealous for her with great fury.(KJV-1611) Zec 8:2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:3 ============ Zch 8:3 Thus saith the LORD; I am returned unto Zion, and will dwell in the midst of Jerusalem: and Jerusalem shall be called a city of truth; and the mountain of the LORD of hosts the holy mountain.(KJV-1611) Zec 8:3 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Seyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:4 ============ Zch 8:4 Thus saith the LORD of hosts; There shall yet old men and old women dwell in the streets of Jerusalem, and every man with his staff in his hand for very age.(KJV-1611) Zec 8:4 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N'a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y'ap vye granmoun.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:5 ============ Zch 8:5 And the streets of the city shall be full of boys and girls playing in the streets thereof.(KJV-1611) Zec 8:5 Lari yo va plen ti gason ak ti fi k'ap jwe konsa toupatou.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:6 ============ Zch 8:6 Thus saith the LORD of hosts; If it be marvellous in the eyes of the remnant of this people in these days, should it also be marvellous in mine eyes? saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 8:6 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete koulye a nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:7 ============ Zch 8:7 Thus saith the LORD of hosts; Behold, I will save my people from the east country, and from the west country;(KJV-1611) Zec 8:7 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k'ap delivre pèp mwen an, k'ap fè yo soti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:8 ============ Zch 8:8 And I will bring them, and they shall dwell in the midst of Jerusalem: and they shall be my people, and I will be their God, in truth and in righteousness.(KJV-1611) Zec 8:8 M'ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:9 ============ Zch 8:9 Thus saith the LORD of hosts; Let your hands be strong, ye that hear in these days these words by the mouth of the prophets, which were in the day that the foundation of the house of the LORD of hosts was laid, that the temple might be built.(KJV-1611) Zec 8:9 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Pran kouraj, nou menm k'ap tande koulye a nan bouch pwofèt yo menm mesaj Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon tanp Seyè a pou rebati kay ki apa pou li a.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:10 ============ Zch 8:10 For before these days there was no hire for man, nor any hire for beast; neither was there any peace to him that went out or came in because of the affliction: for I set all men every one against his neighbour.(KJV-1611) Zec 8:10 Paske, anvan jou sa yo, pa t' gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pesonn pa t' ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:11 ============ Zch 8:11 But now I will not be unto the residue of this people as in the former days, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 8:11 Men koulye a, mwen pral aji yon lòt jan ak ti rès moun ki vivan toujou nan peyi a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:12 ============ Zch 8:12 For the seed shall be prosperous; the vine shall give her fruit, and the ground shall give her increase, and the heavens shall give their dew; and I will cause the remnant of this people to possess all these things.(KJV-1611) Zec 8:12 Y'a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:13 ============ Zch 8:13 And it shall come to pass, that as ye were a curse among the heathen, O house of Judah, and house of Israel; so will I save you, and ye shall be a blessing: fear not, but let your hands be strong.(KJV-1611) Zec 8:13 Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj!(Creole-HT) ======= Zechariah 8:14 ============ Zch 8:14 For thus saith the LORD of hosts; As I thought to punish you, when your fathers provoked me to wrath, saith the LORD of hosts, and I repented not:(KJV-1611) Zec 8:14 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m' fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m' te pini yo. Mwen pa t' chanje lide.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:15 ============ Zch 8:15 So again have I thought in these days to do well unto Jerusalem and to the house of Judah: fear ye not.(KJV-1611) Zec 8:15 Konsa tou, koulye a mwen pran desizyon pou m' beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:16 ============ Zch 8:16 These are the things that ye shall do; Speak ye every man the truth to his neighbour; execute the judgment of truth and peace in your gates:(KJV-1611) Zec 8:16 Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:17 ============ Zch 8:17 And let none of you imagine evil in your hearts against his neighbour; and love no false oath: for all these are things that I hate, saith the LORD.(KJV-1611) Zec 8:17 Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Zechariah 8:18 ============ Zch 8:18 And the word of the LORD of hosts came unto me, saying,(KJV-1611) Zec 8:18 Seyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Zechariah 8:19 ============ Zch 8:19 Thus saith the LORD of hosts; The fast of the fourth month, and the fast of the fifth, and the fast of the seventh, and the fast of the tenth, shall be to the house of Judah joy and gladness, and cheerful feasts; therefore love the truth and peace.(KJV-1611) Zec 8:19 -Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:20 ============ Zch 8:20 Thus saith the LORD of hosts; It shall yet come to pass, that there shall come people, and the inhabitants of many cities:(KJV-1611) Zec 8:20 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:21 ============ Zch 8:21 And the inhabitants of one city shall go to another, saying, Let us go speedily to pray before the LORD, and to seek the LORD of hosts: I will go also.(KJV-1611) Zec 8:21 Moun va soti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l' benediksyon. Ann ale non!(Creole-HT) ======= Zechariah 8:22 ============ Zch 8:22 Yea, many people and strong nations shall come to seek the LORD of hosts in Jerusalem, and to pray before the LORD.(KJV-1611) Zec 8:22 Anpil moun ap soti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l' pou mande l' benediksyon.(Creole-HT) ======= Zechariah 8:23 ============ Zch 8:23 Thus saith the LORD of hosts; In those days it shall come to pass, that ten men shall take hold out of all languages of the nations, even shall take hold of the skirt of him that is a Jew, saying, We will go with you: for we have heard that God is with you.(KJV-1611) Zec 8:23 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:1 ============ Zch 9:1 The burden of the word of the LORD in the land of Hadrach, and Damascus shall be the rest thereof: when the eyes of man, as of all the tribes of Israel, shall be toward the LORD.(KJV-1611) Zec 9:1 Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte li: Li pran desizyon pou l' pini moun peyi Adrak yo ansanm ak moun lavil Damas yo. Se pa sèlman branch fanmi Izrayèl yo ki pou Seyè a. Tout latè nèt se pou li.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:2 ============ Zch 9:2 And Hamath also shall border thereby; Tyrus, and Zidon, though it be very wise.(KJV-1611) Zec 9:2 Peyi Amat ki sou fwontyè peyi Adrak la pou li tou. Moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo ki gen anpil ladrès, se pou li yo ye tou.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:3 ============ Zch 9:3 And Tyrus did build herself a strong hold, and heaped up silver as the dust, and fine gold as the mire of the streets.(KJV-1611) Zec 9:3 Lavil Tir bati gwo miray ranpa ak fò. Yo anpile lò ak ajan lakay yo tankou pousyè granchemen.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:4 ============ Zch 9:4 Behold, the LORD will cast her out, and he will smite her power in the sea; and she shall be devoured with fire.(KJV-1611) Zec 9:4 Men, Seyè a pral pran lavil la pou li. Li pral voye tout richès li yo nan lanmè. Dife pral boule lavil la nèt.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:5 ============ Zch 9:5 Ashkelon shall see it, and fear; Gaza also shall see it, and be very sorrowful, and Ekron; for her expectation shall be ashamed; and the king shall perish from Gaza, and Ashkelon shall not be inhabited.(KJV-1611) Zec 9:5 Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:6 ============ Zch 9:6 And a bastard shall dwell in Ashdod, and I will cut off the pride of the Philistines.(KJV-1611) Zec 9:6 Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:7 ============ Zch 9:7 And I will take away his blood out of his mouth, and his abominations from between his teeth: but he that remaineth, even he, shall be for our God, and he shall be as a governor in Judah, and Ekron as a Jebusite.(KJV-1611) Zec 9:7 Yo p'ap manje vyann ak tout san li ladan l' ankò, ni ankenn lòt vye manje yo te konn manje yo. Tout moun ki va chape anba lanmò va fè pati pèp Bondye a. Y'ap tankou yon branch nan fanmi Jida a. Moun Ekwon yo va menm jan ak moun Jebis yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:8 ============ Zch 9:8 And I will encamp about mine house because of the army, because of him that passeth by, and because of him that returneth: and no oppressor shall pass through them any more: for now have I seen with mine eyes.(KJV-1611) Zec 9:8 Mwen pral kanpe tankou gad k'ap fè pòs nan mitan peyi a pou anpeche lòt lame pase ale vini ladan l'. Mwen p'ap kite gwo chèf vin peze yo ankò. Mwen te wè jan pèp mwen an tan soufri.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:9 ============ Zch 9:9 Rejoice greatly, O daughter of Zion; shout, O daughter of Jerusalem: behold, thy King cometh unto thee: he is just, and having salvation; lowly, and riding upon an ass, and upon a colt the foal of an ass.(KJV-1611) Zec 9:9 Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:10 ============ Zch 9:10 And I will cut off the chariot from Ephraim, and the horse from Jerusalem, and the battle bow shall be cut off: and he shall speak peace unto the heathen: and his dominion shall be from sea even to sea, and from the river even to the ends of the earth.(KJV-1611) Zec 9:10 Seyè a di: -M'ap wete tout cha lagè ki nan peyi Efrayim. M'ap wete dènye chwal ki nan lavil Jerizalèm. M'ap kraze dènye banza yo sèvi pou fè lagè. Wa nou an pral fè tout nasyon yo viv byen yonn ak lòt. M'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:11 ============ Zch 9:11 As for thee also, by the blood of thy covenant I have sent forth thy prisoners out of the pit wherein is no water.(KJV-1611) Zec 9:11 Seyè a di: -Akòz kontra mwen pase avè nou an, kontra ki siyen ak san bèt yo ofri yo, m'ap fè lage moun ou yo ki te nan prizon, m'ap wete yo nan fon sitèn san dlo a.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:12 ============ Zch 9:12 Turn you to the strong hold, ye prisoners of hope: even to day do I declare that I will render double unto thee;(KJV-1611) Zec 9:12 Nou menm prizonye k'ap tann delivrans yo, tounen, tounen non nan sitadèl kote n'a jwenn pwoteksyon an! Jòdi a, men sa m'ap di nou: n'ap resevwa de fwa plis benediksyon pase soufrans mwen te voye sou nou an.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:13 ============ Zch 9:13 When I have bent Judah for me, filled the bow with Ephraim, and raised up thy sons, O Zion, against thy sons, O Greece, and made thee as the sword of a mighty man.(KJV-1611) Zec 9:13 Mwen pral sèvi ak moun Jida yo tankou banza pou fè lagè, ak moun Efrayim yo tankou flèch. Mwen pral sèvi ak moun mòn Siyon yo tankou nepe nan men vanyan sòlda, pou y' al goumen ak moun peyi Lagrès yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:14 ============ Zch 9:14 And the LORD shall be seen over them, and his arrow shall go forth as the lightning: and the LORD God shall blow the trumpet, and shall go with whirlwinds of the south.(KJV-1611) Zec 9:14 Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:15 ============ Zch 9:15 The LORD of hosts shall defend them; and they shall devour, and subdue with sling stones; and they shall drink, and make a noise as through wine; and they shall be filled like bowls, and as the corners of the altar.(KJV-1611) Zec 9:15 Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:16 ============ Zch 9:16 And the LORD their God shall save them in that day as the flock of his people: for they shall be as the stones of a crown, lifted up as an ensign upon his land.(KJV-1611) Zec 9:16 Jou sa a, Seyè a, Bondye yo a, va delivre yo. Tankou yon bon gadò, l'ap sove bann mouton l' yo. Yo pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.(Creole-HT) ======= Zechariah 9:17 ============ Zch 9:17 For how great is his goodness, and how great is his beauty! corn shall make the young men cheerful, and new wine the maids.(KJV-1611) Zec 9:17 Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:1 ============ Zch 10:1 Ask ye of the LORD rain in the time of the latter rain; so the LORD shall make bright clouds, and give them showers of rain, to every one grass in the field.(KJV-1611) Zec 10:1 Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:2 ============ Zch 10:2 For the idols have spoken vanity, and the diviners have seen a lie, and have told false dreams; they comfort in vain: therefore they went their way as a flock, they were troubled, because there was no shepherd.(KJV-1611) Zec 10:2 Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:3 ============ Zch 10:3 Mine anger was kindled against the shepherds, and I punished the goats: for the LORD of hosts hath visited his flock the house of Judah, and hath made them as his goodly horse in the battle.(KJV-1611) Zec 10:3 Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:4 ============ Zch 10:4 Out of him came forth the corner, out of him the nail, out of him the battle bow, out of him every oppressor together.(KJV-1611) Zec 10:4 M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:5 ============ Zch 10:5 And they shall be as mighty men, which tread down their enemies in the mire of the streets in the battle: and they shall fight, because the LORD is with them, and the riders on horses shall be confounded.(KJV-1611) Zec 10:5 Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:6 ============ Zch 10:6 And I will strengthen the house of Judah, and I will save the house of Joseph, and I will bring them again to place them; for I have mercy upon them: and they shall be as though I had not cast them off: for I am the LORD their God, and will hear them.(KJV-1611) Zec 10:6 Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:7 ============ Zch 10:7 And they of Ephraim shall be like a mighty man, and their heart shall rejoice as through wine: yea, their children shall see it, and be glad; their heart shall rejoice in the LORD.(KJV-1611) Zec 10:7 Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:8 ============ Zch 10:8 I will hiss for them, and gather them; for I have redeemed them: and they shall increase as they have increased.(KJV-1611) Zec 10:8 Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:9 ============ Zch 10:9 And I will sow them among the people: and they shall remember me in far countries; and they shall live with their children, and turn again.(KJV-1611) Zec 10:9 M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:10 ============ Zch 10:10 I will bring them again also out of the land of Egypt, and gather them out of Assyria; and I will bring them into the land of Gilead and Lebanon; and place shall not be found for them.(KJV-1611) Zec 10:10 M'ap fè yo soti kite peyi Lejip tounen lakay yo. M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri. Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban. Peyi a pral twò piti pou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:11 ============ Zch 10:11 And he shall pass through the sea with affliction, and shall smite the waves in the sea, and all the deeps of the river shall dry up: and the pride of Assyria shall be brought down, and the sceptre of Egypt shall depart away.(KJV-1611) Zec 10:11 Lè pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, mwen menm, Seyè a, m'a frape dlo lanmè a. Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch. Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a. Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li.(Creole-HT) ======= Zechariah 10:12 ============ Zch 10:12 And I will strengthen them in the LORD; and they shall walk up and down in his name, saith the LORD.(KJV-1611) Zec 10:12 Mwen pral bay pèp mwen fòs kouraj ankò. Y'a sèvi m', y'a fè lwanj mwen. Se Seyè a menm ki di sa!(Creole-HT) ======= Zechariah 11:1 ============ Zch 11:1 Open thy doors, O Lebanon, that the fire may devour thy cedars.(KJV-1611) Zec 11:1 Ou menm peyi Liban, louvri pòtay ou yo pou dife ka boule tout pye sèd ou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:2 ============ Zch 11:2 Howl, fir tree; for the cedar is fallen; because the mighty are spoiled: howl, O ye oaks of Bashan; for the forest of the vintage is come down.(KJV-1611) Zec 11:2 Nou menm, pye sikren yo, plenn sò nou! Paske pye sèd la tonbe. Gwo pyebwa yo fini! Nou menm, pye bwadchenn peyi Bazan yo, rele, plenn sò nou! Paske gwo rak plen bwa a kraze!(Creole-HT) ======= Zechariah 11:3 ============ Zch 11:3 There is a voice of the howling of the shepherds; for their glory is spoiled: a voice of the roaring of young lions; for the pride of Jordan is spoiled.(KJV-1611) Zec 11:3 Kote ou pase, ou tande chèf yo ap plenn! Yo fini, yo pèdi pouvwa a yo. Kote ou pase, ou tande jenn ti lyon yo ap plenn! Yo koupe tout bèl rakbwa ki sou bò larivyè Jouden yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:4 ============ Zch 11:4 Thus saith the LORD my God; Feed the flock of the slaughter;(KJV-1611) Zec 11:4 Seyè a, Bondye mwen an, di m' konsa: -Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:5 ============ Zch 11:5 Whose possessors slay them, and hold themselves not guilty: and they that sell them say, Blessed be the LORD; for I am rich: and their own shepherds pity them not.(KJV-1611) Zec 11:5 Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:6 ============ Zch 11:6 For I will no more pity the inhabitants of the land, saith the LORD: but, lo, I will deliver the men every one into his neighbour's hand, and into the hand of his king: and they shall smite the land, and out of their hand I will not deliver them.(KJV-1611) Zec 11:6 (Seyè a di: Mwen p'ap gen pitye pou moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm ki pral lage yo nan men pwòp chèf yo ak pwòp wa yo ankò. Chèf yo pral fini ak peyi a. Mwen p'ap fè anyen pou m' wete yo anba men yo.)(Creole-HT) ======= Zechariah 11:7 ============ Zch 11:7 And I will feed the flock of slaughter, even you, O poor of the flock. And I took unto me two staves; the one I called Beauty, and the other I called Bands; and I fed the flock.(KJV-1611) Zec 11:7 Se konsa, moun k'ap fè trafik mouton yo peye m' pou m' swen mouton y'ap pare pou labatwa yo pou yo. Mwen pran de baton. Mwen rele yonn Favè, mwen rele lòt la Tèt ansanm. Epi mwen tanmen pran swen mouton yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:8 ============ Zch 11:8 Three shepherds also I cut off in one month; and my soul lothed them, and their soul also abhorred me.(KJV-1611) Zec 11:8 Gadò yo ban m' degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pa t' vle wè m'.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:9 ============ Zch 11:9 Then said I, I will not feed you: that that dieth, let it die; and that that is to be cut off, let it be cut off; and let the rest eat every one the flesh of another.(KJV-1611) Zec 11:9 Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:10 ============ Zch 11:10 And I took my staff, even Beauty, and cut it asunder, that I might break my covenant which I had made with all the people.(KJV-1611) Zec 11:10 Lèfini, mwen pran baton Favè a, mwen kase l' de bout. Ki vle di, mwen kase kontra mwen menm, Seyè a, mwen te pase ak tout nasyon yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:11 ============ Zch 11:11 And it was broken in that day: and so the poor of the flock that waited upon me knew that it was the word of the LORD.(KJV-1611) Zec 11:11 Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m'. Yo vin konprann sa m' te fè a. Yo rekonèt se yon mesaj Seyè a t'ap ba yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:12 ============ Zch 11:12 And I said unto them, If ye think good, give me my price; and if not, forbear. So they weighed for my price thirty pieces of silver.(KJV-1611) Zec 11:12 Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:13 ============ Zch 11:13 And the LORD said unto me, Cast it unto the potter: a goodly price that I was prised at of them. And I took the thirty pieces of silver, and cast them to the potter in the house of the LORD.(KJV-1611) Zec 11:13 Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:14 ============ Zch 11:14 Then I cut asunder mine other staff, even Bands, that I might break the brotherhood between Judah and Israel.(KJV-1611) Zec 11:14 Apre sa, mwen kase dezyèm baton m' lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:15 ============ Zch 11:15 And the LORD said unto me, Take unto thee yet the instruments of a foolish shepherd.(KJV-1611) Zec 11:15 Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:16 ============ Zch 11:16 For, lo, I will raise up a shepherd in the land, which shall not visit those that be cut off, neither shall seek the young one, nor heal that that is broken, nor feed that that standeth still: but he shall eat the flesh of the fat, and tear their claws in pieces.(KJV-1611) Zec 11:16 Paske mwen pral mete yon gadò pou okipe bann mouton m' yo. Men, lè yon mouton pèdi, se pa pou li sa. Si yonn egare, li pa pral chache l'. Si yonn blese, li p'ap fè anyen pou geri l'. Si yonn bouke, li p'ap fè anyen pou soutni l'. Okontrè, l'ap manje sa ki pi gra yo, l'ap fann zago tout lòt yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 11:17 ============ Zch 11:17 Woe to the idol shepherd that leaveth the flock! the sword shall be upon his arm, and upon his right eye: his arm shall be clean dried up, and his right eye shall be utterly darkened.(KJV-1611) Zec 11:17 Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l' la. Se pou bra l' vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:1 ============ Zch 12:1 The burden of the word of the LORD for Israel, saith the LORD, which stretcheth forth the heavens, and layeth the foundation of the earth, and formeth the spirit of man within him.(KJV-1611) Zec 12:1 Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:2 ============ Zch 12:2 Behold, I will make Jerusalem a cup of trembling unto all the people round about, when they shall be in the siege both against Judah and against Jerusalem.(KJV-1611) Zec 12:2 Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l' yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:3 ============ Zch 12:3 And in that day will I make Jerusalem a burdensome stone for all people: all that burden themselves with it shall be cut in pieces, though all the people of the earth be gathered together against it.(KJV-1611) Zec 12:3 Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:4 ============ Zch 12:4 In that day, saith the LORD, I will smite every horse with astonishment, and his rider with madness: and I will open mine eyes upon the house of Judah, and will smite every horse of the people with blindness.(KJV-1611) Zec 12:4 Jou sa a atò, m'ap fè tout chwal yo lonbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l' yo vin avèg.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:5 ============ Zch 12:5 And the governors of Judah shall say in their heart, The inhabitants of Jerusalem shall be my strength in the LORD of hosts their God.(KJV-1611) Zec 12:5 Lè sa a, moun fanmi Jida yo va di nan kè yo se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, ki tout fòs moun ki rete lavil Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:6 ============ Zch 12:6 In that day will I make the governors of Judah like an hearth of fire among the wood, and like a torch of fire in a sheaf; and they shall devour all the people round about, on the right hand and on the left: and Jerusalem shall be inhabited again in her own place, even in Jerusalem.(KJV-1611) Zec 12:6 Lè sa a, m'ap fè moun fanmi Jida yo tounen tankou yon boukan dife nan mitan yon rakbwa, osinon y'ap tankou bwa chandèl limen nan mitan pay chèch. L'ap devore tout peyi ki toupre l' yo, sou bò gòch ak sou bò dwat. Men, moun lavil Jerizalèm yo ap rete nan plas yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:7 ============ Zch 12:7 The LORD also shall save the tents of Judah first, that the glory of the house of David and the glory of the inhabitants of Jerusalem do not magnify themselves against Judah.(KJV-1611) Zec 12:7 Premye moun Seyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:8 ============ Zch 12:8 In that day shall the LORD defend the inhabitants of Jerusalem; and he that is feeble among them at that day shall be as David; and the house of David shall be as God, as the angel of the LORD before them.(KJV-1611) Zec 12:8 Lè sa a, Seyè a va louvri zèl li pou l' pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Seyè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:9 ============ Zch 12:9 And it shall come to pass in that day, that I will seek to destroy all the nations that come against Jerusalem.(KJV-1611) Zec 12:9 Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:10 ============ Zch 12:10 And I will pour upon the house of David, and upon the inhabitants of Jerusalem, the spirit of grace and of supplications: and they shall look upon me whom they have pierced, and they shall mourn for him, as one mourneth for his only son, and shall be in bitterness for him, as one that is in bitterness for his firstborn.(KJV-1611) Zec 12:10 M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:11 ============ Zch 12:11 In that day shall there be a great mourning in Jerusalem, as the mourning of Hadadrimmon in the valley of Megiddon.(KJV-1611) Zec 12:11 Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:12 ============ Zch 12:12 And the land shall mourn, every family apart; the family of the house of David apart, and their wives apart; the family of the house of Nathan apart, and their wives apart;(KJV-1611) Zec 12:12 Nan peyi a, chak fanmi va mete tèt yo ansanm pou yo rele pou kont yo, gason nan fanmi David yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Natan yo yon bò, medam yo yon lòt bò,(Creole-HT) ======= Zechariah 12:13 ============ Zch 12:13 The family of the house of Levi apart, and their wives apart; the family of Shimei apart, and their wives apart;(KJV-1611) Zec 12:13 gason nan fanmi Levi yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Chimèy yo yon bò, medam yo yon lòt bò.(Creole-HT) ======= Zechariah 12:14 ============ Zch 12:14 All the families that remain, every family apart, and their wives apart.(KJV-1611) Zec 12:14 Tout rès fanmi yo va kenbe rèl la tou, gason yo yon bò, medam yo yon lòt bò, chak fanmi bò pa yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:1 ============ Zch 13:1 In that day there shall be a fountain opened to the house of David and to the inhabitants of Jerusalem for sin and for uncleanness.(KJV-1611) Zec 13:1 Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:2 ============ Zch 13:2 And it shall come to pass in that day, saith the LORD of hosts, that I will cut off the names of the idols out of the land, and they shall no more be remembered: and also I will cause the prophets and the unclean spirit to pass out of the land.(KJV-1611) Zec 13:2 Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:3 ============ Zch 13:3 And it shall come to pass, that when any shall yet prophesy, then his father and his mother that begat him shall say unto him, Thou shalt not live; for thou speakest lies in the name of the LORD: and his father and his mother that begat him shall thrust him through when he prophesieth.(KJV-1611) Zec 13:3 Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:4 ============ Zch 13:4 And it shall come to pass in that day, that the prophets shall be ashamed every one of his vision, when he hath prophesied; neither shall they wear a rough garment to deceive:(KJV-1611) Zec 13:4 Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:5 ============ Zch 13:5 But he shall say, I am no prophet, I am an husbandman; for man taught me to keep cattle from my youth.(KJV-1611) Zec 13:5 Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:6 ============ Zch 13:6 And one shall say unto him, What are these wounds in thine hands? Then he shall answer, Those with which I was wounded in the house of my friends.(KJV-1611) Zec 13:6 Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:7 ============ Zch 13:7 Awake, O sword, against my shepherd, and against the man that is my fellow, saith the LORD of hosts: smite the shepherd, and the sheep shall be scattered: and I will turn mine hand upon the little ones.(KJV-1611) Zec 13:7 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:8 ============ Zch 13:8 And it shall come to pass, that in all the land, saith the LORD, two parts therein shall be cut off and die; but the third shall be left therein.(KJV-1611) Zec 13:8 Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.(Creole-HT) ======= Zechariah 13:9 ============ Zch 13:9 And I will bring the third part through the fire, and will refine them as silver is refined, and will try them as gold is tried: they shall call on my name, and I will hear them: I will say, It is my people: and they shall say, The LORD is my God.(KJV-1611) Zec 13:9 Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:1 ============ Zch 14:1 Behold, the day of the LORD cometh, and thy spoil shall be divided in the midst of thee.(KJV-1611) Zec 14:1 Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:2 ============ Zch 14:2 For I will gather all nations against Jerusalem to battle; and the city shall be taken, and the houses rifled, and the women ravished; and half of the city shall go forth into captivity, and the residue of the people shall not be cut off from the city.(KJV-1611) Zec 14:2 Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:3 ============ Zch 14:3 Then shall the LORD go forth, and fight against those nations, as when he fought in the day of battle.(KJV-1611) Zec 14:3 Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:4 ============ Zch 14:4 And his feet shall stand in that day upon the mount of Olives, which is before Jerusalem on the east, and the mount of Olives shall cleave in the midst thereof toward the east and toward the west, and there shall be a very great valley; and half of the mountain shall remove toward the north, and half of it toward the south.(KJV-1611) Zec 14:4 Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:5 ============ Zch 14:5 And ye shall flee to the valley of the mountains; for the valley of the mountains shall reach unto Azal: yea, ye shall flee, like as ye fled from before the earthquake in the days of Uzziah king of Judah: and the LORD my God shall come, and all the saints with thee.(KJV-1611) Zec 14:5 N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:6 ============ Zch 14:6 And it shall come to pass in that day, that the light shall not be clear, nor dark:(KJV-1611) Zec 14:6 Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:7 ============ Zch 14:7 But it shall be one day which shall be known to the LORD, not day, nor night: but it shall come to pass, that at evening time it shall be light.(KJV-1611) Zec 14:7 Se va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. p'ap gen lannwit ankò. Se Seyè a sèl ki konnen lè sa va rive.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:8 ============ Zch 14:8 And it shall be in that day, that living waters shall go out from Jerusalem; half of them toward the former sea, and half of them toward the hinder sea: in summer and in winter shall it be.(KJV-1611) Zec 14:8 Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:9 ============ Zch 14:9 And the LORD shall be king over all the earth: in that day shall there be one LORD, and his name one.(KJV-1611) Zec 14:9 Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:10 ============ Zch 14:10 All the land shall be turned as a plain from Geba to Rimmon south of Jerusalem: and it shall be lifted up, and inhabited in her place, from Benjamin's gate unto the place of the first gate, unto the corner gate, and from the tower of Hananeel unto the king's winepresses.(KJV-1611) Zec 14:10 Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap soti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:11 ============ Zch 14:11 And men shall dwell in it, and there shall be no more utter destruction; but Jerusalem shall be safely inhabited.(KJV-1611) Zec 14:11 Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:12 ============ Zch 14:12 And this shall be the plague wherewith the LORD will smite all the people that have fought against Jerusalem; Their flesh shall consume away while they stand upon their feet, and their eyes shall consume away in their holes, and their tongue shall consume away in their mouth.(KJV-1611) Zec 14:12 Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:13 ============ Zch 14:13 And it shall come to pass in that day, that a great tumult from the LORD shall be among them; and they shall lay hold every one on the hand of his neighbour, and his hand shall rise up against the hand of his neighbour.(KJV-1611) Zec 14:13 Jou sa a, Seyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:14 ============ Zch 14:14 And Judah also shall fight at Jerusalem; and the wealth of all the heathen round about shall be gathered together, gold, and silver, and apparel, in great abundance.(KJV-1611) Zec 14:14 Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:15 ============ Zch 14:15 And so shall be the plague of the horse, of the mule, of the camel, and of the ass, and of all the beasts that shall be in these tents, as this plague.(KJV-1611) Zec 14:15 Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:16 ============ Zch 14:16 And it shall come to pass, that every one that is left of all the nations which came against Jerusalem shall even go up from year to year to worship the King, the LORD of hosts, and to keep the feast of tabernacles.(KJV-1611) Zec 14:16 Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:17 ============ Zch 14:17 And it shall be, that whoso will not come up of all the families of the earth unto Jerusalem to worship the King, the LORD of hosts, even upon them shall be no rain.(KJV-1611) Zec 14:17 Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:18 ============ Zch 14:18 And if the family of Egypt go not up, and come not, that have no rain; there shall be the plague, wherewith the LORD will smite the heathen that come not up to keep the feast of tabernacles.(KJV-1611) Zec 14:18 Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:19 ============ Zch 14:19 This shall be the punishment of Egypt, and the punishment of all nations that come not up to keep the feast of tabernacles.(KJV-1611) Zec 14:19 Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:20 ============ Zch 14:20 In that day shall there be upon the bells of the horses, HOLINESS UNTO THE LORD; and the pots in the LORD's house shall be like the bowls before the altar.(KJV-1611) Zec 14:20 Lè jou sa a va rive, y'a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Seyè a! Batri koujen ki nan tanp Seyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Zechariah 14:21 ============ Zch 14:21 Yea, every pot in Jerusalem and in Judah shall be holiness unto the LORD of hosts: and all they that sacrifice shall come and take of them, and seethe therein: and in that day there shall be no more the Canaanite in the house of the LORD of hosts.(KJV-1611) Zec 14:21 Y'a mete tout mamit ak tout chodyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Seyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Seyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p'ap gen moun k'ap vann ankò nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Malachi 1:1 ============ Mal 1:1 The burden of the word of the LORD to Israel by Malachi.(KJV-1611) Mal 1:1 Men mesaj Seyè a te bay Malachi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte li. Men desizyon Seyè a:(Creole-HT) ======= Malachi 1:2 ============ Mal 1:2 I have loved you, saith the LORD. Yet ye say, Wherein hast thou loved us? Was not Esau Jacob's brother? saith the LORD: yet I loved Jacob,(KJV-1611) Mal 1:2 Seyè a di: Mwen renmen nou! Men, pèp la reponn: Ki jan ou renmen nou an? Men sa Seyè a reponn yo: Ezaou ak Jakòb, apa de frè yo ye. Mwen renmen Jakòb ak tout pitit pitit li yo.(Creole-HT) ======= Malachi 1:3 ============ Mal 1:3 And I hated Esau, and laid his mountains and his heritage waste for the dragons of the wilderness.(KJV-1611) Mal 1:3 Men, mwen rayi Ezaou ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezaou a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.(Creole-HT) ======= Malachi 1:4 ============ Mal 1:4 Whereas Edom saith, We are impoverished, but we will return and build the desolate places; thus saith the LORD of hosts, They shall build, but I will throw down; and they shall call them, The border of wickedness, and, The people against whom the LORD hath indignation for ever.(KJV-1611) Mal 1:4 Si moun peyi Edon yo di: Yo detwi lavil nou yo, men n'ap rebati yo, Seyè a menm ap reponn yo: Nou mèt rebati yo, m'ap toujou kraze yo. Moun pral rele yo: Peyi mechan yo, nasyon ki fè Seyè a ankòlè tout tan an.(Creole-HT) ======= Malachi 1:5 ============ Mal 1:5 And your eyes shall see, and ye shall say, The LORD will be magnified from the border of Israel.(KJV-1611) Mal 1:5 Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y'a di: Seyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Malachi 1:6 ============ Mal 1:6 A son honoureth his father, and a servant his master: if then I be a father, where is mine honour? and if I be a master, where is my fear? saith the LORD of hosts unto you, O priests, that despise my name. And ye say, Wherein have we despised thy name?(KJV-1611) Mal 1:6 Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?(Creole-HT) ======= Malachi 1:7 ============ Mal 1:7 Ye offer polluted bread upon mine altar; and ye say, Wherein have we polluted thee? In that ye say, The table of the LORD is contemptible.(KJV-1611) Mal 1:7 Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'.(Creole-HT) ======= Malachi 1:8 ============ Mal 1:8 And if ye offer the blind for sacrifice, is it not evil? and if ye offer the lame and sick, is it not evil? offer it now unto thy governor; will he be pleased with thee, or accept thy person? saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 1:8 Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k'ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske la ba ou yon favè?(Creole-HT) ======= Malachi 1:9 ============ Mal 1:9 And now, I pray you, beseech God that he will be gracious unto us: this hath been by your means: will he regard your persons? saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 1:9 Koulye a, nou menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l' gen pitye pou nou non! Eske la ban nou favè l'? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou!(Creole-HT) ======= Malachi 1:10 ============ Mal 1:10 Who is there even among you that would shut the doors for nought? neither do ye kindle fire on mine altar for nought. I have no pleasure in you, saith the LORD of hosts, neither will I accept an offering at your hand.(KJV-1611) Mal 1:10 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p'ap asepte ankenn ofrann nan men nou.(Creole-HT) ======= Malachi 1:11 ============ Mal 1:11 For from the rising of the sun even unto the going down of the same my name shall be great among the Gentiles; and in every place incense shall be offered unto my name, and a pure offering: for my name shall be great among the heathen, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 1:11 Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 1:12 ============ Mal 1:12 But ye have profaned it, in that ye say, The table of the LORD is polluted; and the fruit thereof, even his meat, is contemptible.(KJV-1611) Mal 1:12 Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li.(Creole-HT) ======= Malachi 1:13 ============ Mal 1:13 Ye said also, Behold, what a weariness is it! and ye have snuffed at it, saith the LORD of hosts; and ye brought that which was torn, and the lame, and the sick; thus ye brought an offering: should I accept this of your hand? saith the LORD.(KJV-1611) Mal 1:13 Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa.(Creole-HT) ======= Malachi 1:14 ============ Mal 1:14 But cursed be the deceiver, which hath in his flock a male, and voweth, and sacrificeth unto the LORD a corrupt thing: for I am a great King, saith the LORD of hosts, and my name is dreadful among the heathen.(KJV-1611) Mal 1:14 Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 2:1 ============ Mal 2:1 And now, O ye priests, this commandment is for you.(KJV-1611) Mal 2:1 Koulye a, men lòd mwen bay prèt yo:(Creole-HT) ======= Malachi 2:2 ============ Mal 2:2 If ye will not hear, and if ye will not lay it to heart, to give glory unto my name, saith the LORD of hosts, I will even send a curse upon you, and I will curse your blessings: yea, I have cursed them already, because ye do not lay it to heart.(KJV-1611) Mal 2:2 Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa soti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.(Creole-HT) ======= Malachi 2:3 ============ Mal 2:3 Behold, I will corrupt your seed, and spread dung upon your faces, even the dung of your solemn feasts; and one shall take you away with it.(KJV-1611) Mal 2:3 Mwen pral touye pitit nou yo. Mwen pral voye salte, tripay bèt nou ofri yo nan figi nou. Lèfini, m'ap voye nou jete ansanm ak yo.(Creole-HT) ======= Malachi 2:4 ============ Mal 2:4 And ye shall know that I have sent this commandment unto you, that my covenant might be with Levi, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 2:4 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki te ban nou lòd sa a, pou kontra mwen te pase ak fanmi Levi a ka toujou la. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 2:5 ============ Mal 2:5 My covenant was with him of life and peace; and I gave them to him for the fear wherewith he feared me, and was afraid before my name.(KJV-1611) Mal 2:5 Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. E mwen te ba yo l'. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.(Creole-HT) ======= Malachi 2:6 ============ Mal 2:6 The law of truth was in his mouth, and iniquity was not found in his lips: he walked with me in peace and equity, and did turn many away from iniquity.(KJV-1611) Mal 2:6 Se verite ase ki te soti nan bouch yo. Yo pa t' janm chache twonpe m'. Yo toujou mache avè m' ak kè poze. Yo t'ap fè sa ki dwat. Yo te fè anpil moun sispann fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Malachi 2:7 ============ Mal 2:7 For the priest's lips should keep knowledge, and they should seek the law at his mouth: for he is the messenger of the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 2:7 Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.(Creole-HT) ======= Malachi 2:8 ============ Mal 2:8 But ye are departed out of the way; ye have caused many to stumble at the law; ye have corrupted the covenant of Levi, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 2:8 Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.(Creole-HT) ======= Malachi 2:9 ============ Mal 2:9 Therefore have I also made you contemptible and base before all the people, according as ye have not kept my ways, but have been partial in the law.(KJV-1611) Mal 2:9 Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande.(Creole-HT) ======= Malachi 2:10 ============ Mal 2:10 Have we not all one father? hath not one God created us? why do we deal treacherously every man against his brother, by profaning the covenant of our fathers?(KJV-1611) Mal 2:10 Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?(Creole-HT) ======= Malachi 2:11 ============ Mal 2:11 Judah hath dealt treacherously, and an abomination is committed in Israel and in Jerusalem; for Judah hath profaned the holiness of the LORD which he loved, and hath married the daughter of a strange god.(KJV-1611) Mal 2:11 Moun Jida yo trayi Bondye. Yo fè yon move bagay ki lèd anpil nan peyi Izrayèl la ak nan lavil Jerizalèm. Yo derespekte kay Bondye renmen anpil la. Mesye yo marye ak fanm k'ap sèvi lòt bondye.(Creole-HT) ======= Malachi 2:12 ============ Mal 2:12 The LORD will cut off the man that doeth this, the master and the scholar, out of the tabernacles of Jacob, and him that offereth an offering unto the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 2:12 Tout moun ki fè bagay sa a, se pou Seyè a pa kite yo jwenn yon moun nan fanmi Jakòb la pou kanpe pou yo osinon pou fè ofrann bay Seyè ki gen tout pouvwa a pou yo.(Creole-HT) ======= Malachi 2:13 ============ Mal 2:13 And this have ye done again, covering the altar of the LORD with tears, with weeping, and with crying out, insomuch that he regardeth not the offering any more, or receiveth it with good will at your hand.(KJV-1611) Mal 2:13 Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou.(Creole-HT) ======= Malachi 2:14 ============ Mal 2:14 Yet ye say, Wherefore? Because the LORD hath been witness between thee and the wife of thy youth, against whom thou hast dealt treacherously: yet is she thy companion, and the wife of thy covenant.(KJV-1611) Mal 2:14 Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan.(Creole-HT) ======= Malachi 2:15 ============ Mal 2:15 And did not he make one? Yet had he the residue of the spirit. And wherefore one? That he might seek a godly seed. Therefore take heed to your spirit, and let none deal treacherously against the wife of his youth.(KJV-1611) Mal 2:15 Eske Bondye pa t' fè nou tounen yon sèl kò ak yon sèl nanm? Poukisa li te fè sa? Se pou nou te ka fè pitit ki pou sèvi l'. Konsa, fè respè tèt nou! Respekte pwomès nou te fè madanm nou te marye lè nou te jenn lan.(Creole-HT) ======= Malachi 2:16 ============ Mal 2:16 For the LORD, the God of Israel, saith that he hateth putting away: for one covereth violence with his garment, saith the LORD of hosts: therefore take heed to your spirit, that ye deal not treacherously.(KJV-1611) Mal 2:16 Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa. Mwen rayi wè moun k'ap aji mal konsa ak madanm yo. Se poutèt sa, fè respè tèt nou! Kenbe pwomès nou te fè madanm nou.(Creole-HT) ======= Malachi 2:17 ============ Mal 2:17 Ye have wearied the LORD with your words. Yet ye say, Wherein have we wearied him? When ye say, Every one that doeth evil is good in the sight of the LORD, and he delighteth in them; or, Where is the God of judgment?(KJV-1611) Mal 2:17 N'ap fatige tèt Seyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di: Ki jan n'ap fatige l' la? Se lè n'ap plede di: Tout moun ki fè sa ki mal yo bon nan je Seyè a. Li kontan ak yo. Ou ankò lè n'ap mande: Kote Bondye k'ap rann jistis la?(Creole-HT) ======= Malachi 3:1 ============ Mal 3:1 Behold, I will send my messenger, and he shall prepare the way before me: and the LORD, whom ye seek, shall suddenly come to his temple, even the messenger of the covenant, whom ye delight in: behold, he shall come, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 3:1 Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a.(Creole-HT) ======= Malachi 3:2 ============ Mal 3:2 But who may abide the day of his coming? and who shall stand when he appeareth? for he is like a refiner's fire, and like fullers' soap:(KJV-1611) Mal 3:2 Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.(Creole-HT) ======= Malachi 3:3 ============ Mal 3:3 And he shall sit as a refiner and purifier of silver: and he shall purify the sons of Levi, and purge them as gold and silver, that they may offer unto the LORD an offering in righteousness.(KJV-1611) Mal 3:3 La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la.(Creole-HT) ======= Malachi 3:4 ============ Mal 3:4 Then shall the offering of Judah and Jerusalem be pleasant unto the LORD, as in the days of old, and as in former years.(KJV-1611) Mal 3:4 Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Seyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.(Creole-HT) ======= Malachi 3:5 ============ Mal 3:5 And I will come near to you to judgment; and I will be a swift witness against the sorcerers, and against the adulterers, and against false swearers, and against those that oppress the hireling in his wages, the widow, and the fatherless, and that turn aside the stranger from his right, and fear not me, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 3:5 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif.(Creole-HT) ======= Malachi 3:6 ============ Mal 3:6 For I am the LORD, I change not; therefore ye sons of Jacob are not consumed.(KJV-1611) Mal 3:6 Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt.(Creole-HT) ======= Malachi 3:7 ============ Mal 3:7 Even from the days of your fathers ye are gone away from mine ordinances, and have not kept them. Return unto me, and I will return unto you, saith the LORD of hosts. But ye said, Wherein shall we return?(KJV-1611) Mal 3:7 Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. N'ap mande m' sa pou nou fè pou nou tounen vin jwenn mwen?(Creole-HT) ======= Malachi 3:8 ============ Mal 3:8 Will a man rob God? Yet ye have robbed me. But ye say, Wherein have we robbed thee? In tithes and offerings.(KJV-1611) Mal 3:8 Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.(Creole-HT) ======= Malachi 3:9 ============ Mal 3:9 Ye are cursed with a curse: for ye have robbed me, even this whole nation.(KJV-1611) Mal 3:9 Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'.(Creole-HT) ======= Malachi 3:10 ============ Mal 3:10 Bring ye all the tithes into the storehouse, that there may be meat in mine house, and prove me now herewith, saith the LORD of hosts, if I will not open you the windows of heaven, and pour you out a blessing, that there shall not be room enough to receive it.(KJV-1611) Mal 3:10 Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite.(Creole-HT) ======= Malachi 3:11 ============ Mal 3:11 And I will rebuke the devourer for your sakes, and he shall not destroy the fruits of your ground; neither shall your vine cast her fruit before the time in the field, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 3:11 Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 3:12 ============ Mal 3:12 And all nations shall call you blessed: for ye shall be a delightsome land, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 3:12 Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 3:13 ============ Mal 3:13 Your words have been stout against me, saith the LORD. Yet ye say, What have we spoken so much against thee?(KJV-1611) Mal 3:13 Seyè a di ankò: -Nou te pale m' mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa?(Creole-HT) ======= Malachi 3:14 ============ Mal 3:14 Ye have said, It is vain to serve God: and what profit is it that we have kept his ordinance, and that we have walked mournfully before the LORD of hosts?(KJV-1611) Mal 3:14 Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Seyè a mande, pou li fè Seyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal?(Creole-HT) ======= Malachi 3:15 ============ Mal 3:15 And now we call the proud happy; yea, they that work wickedness are set up; yea, they that tempt God are even delivered.(KJV-1611) Mal 3:15 Koulye a, nou tou wè se awogan yo k'ap viv ak kè kontan. Moun k'ap fè mal yo, se yo ki wè zafè yo ap mache. Yo sonde Bondye pou wè kote li ye ak yo epi anyen pa rive yo.(Creole-HT) ======= Malachi 3:16 ============ Mal 3:16 Then they that feared the LORD spake often one to another: and the LORD hearkened, and heard it, and a book of remembrance was written before him for them that feared the LORD, and that thought upon his name.(KJV-1611) Mal 3:16 Men koze ki te nan bouch moun ki gen krentif pou Bondye yo. Tansèlman, Seyè a t'ap swiv yo, li tande tou sa yo t'ap di. Li pran yon liv, li fè ekri non tout moun ki gen krentif pou li epi ki respekte l'.(Creole-HT) ======= Malachi 3:17 ============ Mal 3:17 And they shall be mine, saith the LORD of hosts, in that day when I make up my jewels; and I will spare them, as a man spareth his own son that serveth him.(KJV-1611) Mal 3:17 Seyè a di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m' aji a, se moun pa m' nèt y'ap ye. m'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l' k'ap sèvi l'.(Creole-HT) ======= Malachi 3:18 ============ Mal 3:18 Then shall ye return, and discern between the righteous and the wicked, between him that serveth God and him that serveth him not.(KJV-1611) Mal 3:18 Lè sa a ankò, n'a wè diferans ant moun k'ap mache dwat ak moun k'ap fè sa ki mal, ant moun k'ap sèvi Bondye ak moun ki p'ap sèvi l'.(Creole-HT) ======= Malachi 4:1 ============ Mal 4:1 For, behold, the day cometh, that shall burn as an oven; and all the proud, yea, and all that do wickedly, shall be stubble: and the day that cometh shall burn them up, saith the LORD of hosts, that it shall leave them neither root nor branch.(KJV-1611) Mal 4:1 Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.(Creole-HT) ======= Malachi 4:2 ============ Mal 4:2 But unto you that fear my name shall the Sun of righteousness arise with healing in his wings; and ye shall go forth, and grow up as calves of the stall.(KJV-1611) Mal 4:2 Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.(Creole-HT) ======= Malachi 4:3 ============ Mal 4:3 And ye shall tread down the wicked; for they shall be ashes under the soles of your feet in the day that I shall do this, saith the LORD of hosts.(KJV-1611) Mal 4:3 Nou pral pilonnen mechan yo, yo pral tankou sann dife anba pye nou, jou m'a deside pou m' aji a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= Malachi 4:4 ============ Mal 4:4 Remember ye the law of Moses my servant, which I commanded unto him in Horeb for all Israel, with the statutes and judgments.(KJV-1611) Mal 4:4 Pa bliye sa Moyiz, sèvitè m' lan, te moutre nou, tout lòd ak tout regleman mwen te ba li sou mòn Orèb la pou tout pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Malachi 4:5 ============ Mal 4:5 Behold, I will send you Elijah the prophet before the coming of the great and dreadful day of the LORD:(KJV-1611) Mal 4:5 Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.(Creole-HT) ======= Malachi 4:6 ============ Mal 4:6 And he shall turn the heart of the fathers to the children, and the heart of the children to their fathers, lest I come and smite the earth with a curse.(KJV-1611) Mal 4:6 Li gen pou l' fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.(Creole-HT) ======= Matthew 1:1 ============ Mat 1:1 The book of the generation of Jesus Christ, the son of David, the son of Abraham.(KJV-1611) Mat 1:1 Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.(Creole-HT) ======= Matthew 1:2 ============ Mat 1:2 Abraham begat Isaac; and Isaac begat Jacob; and Jacob begat Judas and his brethren;(KJV-1611) Mat 1:2 Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 1:3 ============ Mat 1:3 And Judas begat Phares and Zara of Thamar; and Phares begat Esrom; and Esrom begat Aram;(KJV-1611) Mat 1:3 Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; Eswòm te papa Aram.(Creole-HT) ======= Matthew 1:4 ============ Mat 1:4 And Aram begat Aminadab; and Aminadab begat Naasson; and Naasson begat Salmon;(KJV-1611) Mat 1:4 Aram te papa Amenadab; Amenadab te papa Naason; Naason te papa Salmon.(Creole-HT) ======= Matthew 1:5 ============ Mat 1:5 And Salmon begat Booz of Rachab; and Booz begat Obed of Ruth; and Obed begat Jesse;(KJV-1611) Mat 1:5 Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd.(Creole-HT) ======= Matthew 1:6 ============ Mat 1:6 And Jesse begat David the king; and David the king begat Solomon of her that had been the wife of Urias;(KJV-1611) Mat 1:6 Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon.(Creole-HT) ======= Matthew 1:7 ============ Mat 1:7 And Solomon begat Roboam; and Roboam begat Abia; and Abia begat Asa;(KJV-1611) Mat 1:7 Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa.(Creole-HT) ======= Matthew 1:8 ============ Mat 1:8 And Asa begat Josaphat; and Josaphat begat Joram; and Joram begat Ozias;(KJV-1611) Mat 1:8 Asa te papa Jozafa; Jozafa te papa Joram; Joram te papa Ozyas;(Creole-HT) ======= Matthew 1:9 ============ Mat 1:9 And Ozias begat Joatham; and Joatham begat Achaz; and Achaz begat Ezekias;(KJV-1611) Mat 1:9 Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas;(Creole-HT) ======= Matthew 1:10 ============ Mat 1:10 And Ezekias begat Manasses; and Manasses begat Amon; and Amon begat Josias;(KJV-1611) Mat 1:10 Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas;(Creole-HT) ======= Matthew 1:11 ============ Mat 1:11 And Josias begat Jechonias and his brethren, about the time they were carried away to Babylon:(KJV-1611) Mat 1:11 Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.(Creole-HT) ======= Matthew 1:12 ============ Mat 1:12 And after they were brought to Babylon, Jechonias begat Salathiel; and Salathiel begat Zorobabel;(KJV-1611) Mat 1:12 Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl;(Creole-HT) ======= Matthew 1:13 ============ Mat 1:13 And Zorobabel begat Abiud; and Abiud begat Eliakim; and Eliakim begat Azor;(KJV-1611) Mat 1:13 Zowobabèl te papa Abiyoud; Abiyoud te papa Elyakim; Elyakim te papa Azò;(Creole-HT) ======= Matthew 1:14 ============ Mat 1:14 And Azor begat Sadoc; and Sadoc begat Achim; and Achim begat Eliud;(KJV-1611) Mat 1:14 Azò te papa Sadòk; Sadòk te papa Akim; Akim te papa Eliyoud;(Creole-HT) ======= Matthew 1:15 ============ Mat 1:15 And Eliud begat Eleazar; and Eleazar begat Matthan; and Matthan begat Jacob;(KJV-1611) Mat 1:15 Eliyoud te papa Eleaza; Eleaza te papa Matan; Matan te papa Jakòb;(Creole-HT) ======= Matthew 1:16 ============ Mat 1:16 And Jacob begat Joseph the husband of Mary, of whom was born Jesus, who is called Christ.(KJV-1611) Mat 1:16 Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.(Creole-HT) ======= Matthew 1:17 ============ Mat 1:17 So all the generations from Abraham to David are fourteen generations; and from David until the carrying away into Babylon are fourteen generations; and from the carrying away into Babylon unto Christ are fourteen generations.(KJV-1611) Mat 1:17 Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.(Creole-HT) ======= Matthew 1:18 ============ Mat 1:18 Now the birth of Jesus Christ was on this wise: When as his mother Mary was espoused to Joseph, before they came together, she was found with child of the Holy Ghost.(KJV-1611) Mat 1:18 Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.(Creole-HT) ======= Matthew 1:19 ============ Mat 1:19 Then Joseph her husband, being a just man, and not willing to make her a publick example, was minded to put her away privily.(KJV-1611) Mat 1:19 Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.(Creole-HT) ======= Matthew 1:20 ============ Mat 1:20 But while he thought on these things, behold, the angel of the LORD appeared unto him in a dream, saying, Joseph, thou son of David, fear not to take unto thee Mary thy wife: for that which is conceived in her is of the Holy Ghost.(KJV-1611) Mat 1:20 Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.(Creole-HT) ======= Matthew 1:21 ============ Mat 1:21 And she shall bring forth a son, and thou shalt call his name JESUS: for he shall save his people from their sins.(KJV-1611) Mat 1:21 Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 1:22 ============ Mat 1:22 Now all this was done, that it might be fulfilled which was spoken of the Lord by the prophet, saying,(KJV-1611) Mat 1:22 Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di:(Creole-HT) ======= Matthew 1:23 ============ Mat 1:23 Behold, a virgin shall be with child, and shall bring forth a son, and they shall call his name Emmanuel, which being interpreted is, God with us.(KJV-1611) Mat 1:23 Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)(Creole-HT) ======= Matthew 1:24 ============ Mat 1:24 Then Joseph being raised from sleep did as the angel of the Lord had bidden him, and took unto him his wife:(KJV-1611) Mat 1:24 Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l' fè: li pran madanm li lakay li.(Creole-HT) ======= Matthew 1:25 ============ Mat 1:25 And knew her not till she had brought forth her firstborn son: and he called his name JESUS.(KJV-1611) Mat 1:25 Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 2:1 ============ Mat 2:1 Now when Jesus was born in Bethlehem of Judaea in the days of Herod the king, behold, there came wise men from the east to Jerusalem,(KJV-1611) Mat 2:1 Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Matthew 2:2 ============ Mat 2:2 Saying, Where is he that is born King of the Jews? for we have seen his star in the east, and are come to worship him.(KJV-1611) Mat 2:2 Yo t'ap mande: Kote wa jwif ki fenk fèt la? Nou wè zetwal li parèt depi nan peyi nou an, nou vin adore li.(Creole-HT) ======= Matthew 2:3 ============ Mat 2:3 When Herod the king had heard these things, he was troubled, and all Jerusalem with him.(KJV-1611) Mat 2:3 Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.(Creole-HT) ======= Matthew 2:4 ============ Mat 2:4 And when he had gathered all the chief priests and scribes of the people together, he demanded of them where Christ should be born.(KJV-1611) Mat 2:4 Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou l' fèt?(Creole-HT) ======= Matthew 2:5 ============ Mat 2:5 And they said unto him, In Bethlehem of Judaea: for thus it is written by the prophet,(KJV-1611) Mat 2:5 Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l' fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri:(Creole-HT) ======= Matthew 2:6 ============ Mat 2:6 And thou Bethlehem, in the land of Juda, art not the least among the princes of Juda: for out of thee shall come a Governor, that shall rule my people Israel.(KJV-1611) Mat 2:6 Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou soti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.(Creole-HT) ======= Matthew 2:7 ============ Mat 2:7 Then Herod, when he had privily called the wise men, enquired of them diligently what time the star appeared.(KJV-1611) Mat 2:7 Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt.(Creole-HT) ======= Matthew 2:8 ============ Mat 2:8 And he sent them to Bethlehem, and said, Go and search diligently for the young child; and when ye have found him, bring me word again, that I may come and worship him also.(KJV-1611) Mat 2:8 Apre sa, li voye yo ale Betleyèm. Li di yo: Ale non! Chache konnen tout bagay sou ti pitit la. Lè n'a jwenn li, fè m' konnen pou m' sa kapab al adore l', mwen menm tou.(Creole-HT) ======= Matthew 2:9 ============ Mat 2:9 When they had heard the king, they departed; and, lo, the star, which they saw in the east, went before them, till it came and stood over where the young child was.(KJV-1611) Mat 2:9 Apre wa a te fin di yo sa, nèg save yo pati. Lè sa a, zetwal yo te wè nan peyi solèy leve a parèt devan yo ankò. Li t'ap mache devan yo. Zetwal la kontinye konsa jouk li rive sou tèt kay kote ti pitit la te ye a. Epi l' rete.(Creole-HT) ======= Matthew 2:10 ============ Mat 2:10 When they saw the star, they rejoiced with exceeding great joy.(KJV-1611) Mat 2:10 Lè yo te wè zetwal la, yo pa t' manke kontan.(Creole-HT) ======= Matthew 2:11 ============ Mat 2:11 And when they were come into the house, they saw the young child with Mary his mother, and fell down, and worshipped him: and when they had opened their treasures, they presented unto him gifts; gold, and frankincense and myrrh.(KJV-1611) Mat 2:11 Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l', yo adore l'. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.(Creole-HT) ======= Matthew 2:12 ============ Mat 2:12 And being warned of God in a dream that they should not return to Herod, they departed into their own country another way.(KJV-1611) Mat 2:12 Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.(Creole-HT) ======= Matthew 2:13 ============ Mat 2:13 And when they were departed, behold, the angel of the Lord appeareth to Joseph in a dream, saying, Arise, and take the young child and his mother, and flee into Egypt, and be thou there until I bring thee word: for Herod will seek the young child to destroy him.(KJV-1611) Mat 2:13 Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.(Creole-HT) ======= Matthew 2:14 ============ Mat 2:14 When he arose, he took the young child and his mother by night, and departed into Egypt:(KJV-1611) Mat 2:14 Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Li pati, li ale nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Matthew 2:15 ============ Mat 2:15 And was there until the death of Herod: that it might be fulfilled which was spoken of the Lord by the prophet, saying, Out of Egypt have I called my son.(KJV-1611) Mat 2:15 Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l' soti kite peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Matthew 2:16 ============ Mat 2:16 Then Herod, when he saw that he was mocked of the wise men, was exceeding wroth, and sent forth, and slew all the children that were in Bethlehem, and in all the coasts thereof, from two years old and under, according to the time which he had diligently enquired of the wise men.(KJV-1611) Mat 2:16 Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.(Creole-HT) ======= Matthew 2:17 ============ Mat 2:17 Then was fulfilled that which was spoken by Jeremy the prophet, saying,(KJV-1611) Mat 2:17 Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre:(Creole-HT) ======= Matthew 2:18 ============ Mat 2:18 In Rama was there a voice heard, lamentation, and weeping, and great mourning, Rachel weeping for her children, and would not be comforted, because they are not.(KJV-1611) Mat 2:18 Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pesonn ba li kouraj, paske pitit li yo mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 2:19 ============ Mat 2:19 But when Herod was dead, behold, an angel of the Lord appeareth in a dream to Joseph in Egypt,(KJV-1611) Mat 2:19 Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l' nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Matthew 2:20 ============ Mat 2:20 Saying, Arise, and take the young child and his mother, and go into the land of Israel: for they are dead which sought the young child's life.(KJV-1611) Mat 2:20 Zanj lan di l': Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l', tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun ki te vle touye ti pitit la, yo mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 2:21 ============ Mat 2:21 And he arose, and took the young child and his mother, and came into the land of Israel.(KJV-1611) Mat 2:21 Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l', li tounen nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 2:22 ============ Mat 2:22 But when he heard that Archelaus did reign in Judaea in the room of his father Herod, he was afraid to go thither: notwithstanding, being warned of God in a dream, he turned aside into the parts of Galilee:(KJV-1611) Mat 2:22 Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l', Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l' ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, li ale nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= Matthew 2:23 ============ Mat 2:23 And he came and dwelt in a city called Nazareth: that it might be fulfilled which was spoken by the prophets, He shall be called a Nazarene.(KJV-1611) Mat 2:23 Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: y'a rele l' moun Nazarèt.(Creole-HT) ======= Matthew 3:1 ============ Mat 3:1 In those days came John the Baptist, preaching in the wilderness of Judaea,(KJV-1611) Mat 3:1 Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 3:2 ============ Mat 3:2 And saying, Repent ye: for the kingdom of heaven is at hand.(KJV-1611) Mat 3:2 Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.(Creole-HT) ======= Matthew 3:3 ============ Mat 3:3 For this is he that was spoken of by the prophet Esaias, saying, The voice of one crying in the wilderness, Prepare ye the way of the Lord, make his paths straight.(KJV-1611) Mat 3:3 Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.(Creole-HT) ======= Matthew 3:4 ============ Mat 3:4 And the same John had his raiment of camel's hair, and a leathern girdle about his loins; and his meat was locusts and wild honey.(KJV-1611) Mat 3:4 Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa.(Creole-HT) ======= Matthew 3:5 ============ Mat 3:5 Then went out to him Jerusalem, and all Judaea, and all the region round about Jordan,(KJV-1611) Mat 3:5 Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.(Creole-HT) ======= Matthew 3:6 ============ Mat 3:6 And were baptized of him in Jordan, confessing their sins.(KJV-1611) Mat 3:6 Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Matthew 3:7 ============ Mat 3:7 But when he saw many of the Pharisees and Sadducees come to his baptism, he said unto them, O generation of vipers, who hath warned you to flee from the wrath to come?(KJV-1611) Mat 3:7 Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?(Creole-HT) ======= Matthew 3:8 ============ Mat 3:8 Bring forth therefore fruits meet for repentance:(KJV-1611) Mat 3:8 Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.(Creole-HT) ======= Matthew 3:9 ============ Mat 3:9 And think not to say within yourselves, We have Abraham to our father: for I say unto you, that God is able of these stones to raise up children unto Abraham.(KJV-1611) Mat 3:9 Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.(Creole-HT) ======= Matthew 3:10 ============ Mat 3:10 And now also the axe is laid unto the root of the trees: therefore every tree which bringeth not forth good fruit is hewn down, and cast into the fire.(KJV-1611) Mat 3:10 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.(Creole-HT) ======= Matthew 3:11 ============ Mat 3:11 I indeed baptize you with water unto repentance. but he that cometh after me is mightier than I, whose shoes I am not worthy to bear: he shall baptize you with the Holy Ghost, and with fire:(KJV-1611) Mat 3:11 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.(Creole-HT) ======= Matthew 3:12 ============ Mat 3:12 Whose fan is in his hand, and he will throughly purge his floor, and gather his wheat into the garner; but he will burn up the chaff with unquenchable fire.(KJV-1611) Mat 3:12 Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 3:13 ============ Mat 3:13 Then cometh Jesus from Galilee to Jordan unto John, to be baptized of him.(KJV-1611) Mat 3:13 Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li.(Creole-HT) ======= Matthew 3:14 ============ Mat 3:14 But John forbad him, saying, I have need to be baptized of thee, and comest thou to me?(KJV-1611) Mat 3:14 Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou?(Creole-HT) ======= Matthew 3:15 ============ Mat 3:15 And Jesus answering said unto him, Suffer it to be so now: for thus it becometh us to fulfil all righteousness. Then he suffered him.(KJV-1611) Mat 3:15 Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 3:16 ============ Mat 3:16 And Jesus, when he was baptized, went up straightway out of the water: and, lo, the heavens were opened unto him, and he saw the Spirit of God descending like a dove, and lighting upon him:(KJV-1611) Mat 3:16 Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 3:17 ============ Mat 3:17 And lo a voice from heaven, saying, This is my beloved Son, in whom I am well pleased.(KJV-1611) Mat 3:17 Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 4:1 ============ Mat 4:1 Then was Jesus led up of the spirit into the wilderness to be tempted of the devil.(KJV-1611) Mat 4:1 Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'.(Creole-HT) ======= Matthew 4:2 ============ Mat 4:2 And when he had fasted forty days and forty nights, he was afterward an hungred.(KJV-1611) Mat 4:2 Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.(Creole-HT) ======= Matthew 4:3 ============ Mat 4:3 And when the tempter came to him, he said, If thou be the Son of God, command that these stones be made bread.(KJV-1611) Mat 4:3 Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.(Creole-HT) ======= Matthew 4:4 ============ Mat 4:4 But he answered and said, It is written, Man shall not live by bread alone, but by every word that proceedeth out of the mouth of God.(KJV-1611) Mat 4:4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.(Creole-HT) ======= Matthew 4:5 ============ Mat 4:5 Then the devil taketh him up into the holy city, and setteth him on a pinnacle of the temple,(KJV-1611) Mat 4:5 Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.(Creole-HT) ======= Matthew 4:6 ============ Mat 4:6 And saith unto him, If thou be the Son of God, cast thyself down: for it is written, He shall give his angels charge concerning thee: and in their hands they shall bear thee up, lest at any time thou dash thy foot against a stone.(KJV-1611) Mat 4:6 Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.(Creole-HT) ======= Matthew 4:7 ============ Mat 4:7 Jesus said unto him, It is written again, Thou shalt not tempt the Lord thy God.(KJV-1611) Mat 4:7 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.(Creole-HT) ======= Matthew 4:8 ============ Mat 4:8 Again, the devil taketh him up into an exceeding high mountain, and sheweth him all the kingdoms of the world, and the glory of them;(KJV-1611) Mat 4:8 Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo.(Creole-HT) ======= Matthew 4:9 ============ Mat 4:9 And saith unto him, All these things will I give thee, if thou wilt fall down and worship me.(KJV-1611) Mat 4:9 Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.(Creole-HT) ======= Matthew 4:10 ============ Mat 4:10 Then saith Jesus unto him, Get thee hence, Satan: for it is written, Thou shalt worship the Lord thy God, and him only shalt thou serve.(KJV-1611) Mat 4:10 Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.(Creole-HT) ======= Matthew 4:11 ============ Mat 4:11 Then the devil leaveth him, and, behold, angels came and ministered unto him.(KJV-1611) Mat 4:11 Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.(Creole-HT) ======= Matthew 4:12 ============ Mat 4:12 Now when Jesus had heard that John was cast into prison, he departed into Galilee;(KJV-1611) Mat 4:12 Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= Matthew 4:13 ============ Mat 4:13 And leaving Nazareth, he came and dwelt in Capernaum, which is upon the sea coast, in the borders of Zabulon and Nephthalim:(KJV-1611) Mat 4:13 Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.(Creole-HT) ======= Matthew 4:14 ============ Mat 4:14 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying,(KJV-1611) Mat 4:14 Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:(Creole-HT) ======= Matthew 4:15 ============ Mat 4:15 The land of Zabulon, and the land of Nephthalim, by the way of the sea, beyond Jordan, Galilee of the Gentiles;(KJV-1611) Mat 4:15 Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,(Creole-HT) ======= Matthew 4:16 ============ Mat 4:16 The people which sat in darkness saw great light; and to them which sat in the region and shadow of death light is sprung up.(KJV-1611) Mat 4:16 pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.(Creole-HT) ======= Matthew 4:17 ============ Mat 4:17 From that time Jesus began to preach, and to say, Repent: for the kingdom of heaven is at hand.(KJV-1611) Mat 4:17 Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.(Creole-HT) ======= Matthew 4:18 ============ Mat 4:18 And Jesus, walking by the sea of Galilee, saw two brethren, Simon called Peter, and Andrew his brother, casting a net into the sea: for they were fishers.(KJV-1611) Mat 4:18 Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.(Creole-HT) ======= Matthew 4:19 ============ Mat 4:19 And he saith unto them, Follow me, and I will make you fishers of men.(KJV-1611) Mat 4:19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.(Creole-HT) ======= Matthew 4:20 ============ Mat 4:20 And they straightway left their nets, and followed him.(KJV-1611) Mat 4:20 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.(Creole-HT) ======= Matthew 4:21 ============ Mat 4:21 And going on from thence, he saw other two brethren, James the son of Zebedee, and John his brother, in a ship with Zebedee their father, mending their nets; and he called them.(KJV-1611) Mat 4:21 Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo.(Creole-HT) ======= Matthew 4:22 ============ Mat 4:22 And they immediately left the ship and their father, and followed him.(KJV-1611) Mat 4:22 Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li.(Creole-HT) ======= Matthew 4:23 ============ Mat 4:23 And Jesus went about all Galilee, teaching in their synagogues, and preaching the gospel of the kingdom, and healing all manner of sickness and all manner of disease among the people.(KJV-1611) Mat 4:23 Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.(Creole-HT) ======= Matthew 4:24 ============ Mat 4:24 And his fame went throughout all Syria: and they brought unto him all sick people that were taken with divers diseases and torments, and those which were possessed with devils, and those which were lunatick, and those that had the palsy; and he healed them.(KJV-1611) Mat 4:24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.(Creole-HT) ======= Matthew 4:25 ============ Mat 4:25 And there followed him great multitudes of people from Galilee, and from Decapolis, and from Jerusalem, and from Judaea, and from beyond Jordan.(KJV-1611) Mat 4:25 Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Matthew 5:1 ============ Mat 5:1 And seeing the multitudes, he went up into a mountain: and when he was set, his disciples came unto him:(KJV-1611) Mat 5:1 Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.(Creole-HT) ======= Matthew 5:2 ============ Mat 5:2 And he opened his mouth, and taught them, saying,(KJV-1611) Mat 5:2 Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:(Creole-HT) ======= Matthew 5:3 ============ Mat 5:3 Blessed are the poor in spirit: for theirs is the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 5:3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 5:4 ============ Mat 5:4 Blessed are they that mourn: for they shall be comforted.(KJV-1611) Mat 5:4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.(Creole-HT) ======= Matthew 5:5 ============ Mat 5:5 Blessed are the meek: for they shall inherit the earth.(KJV-1611) Mat 5:5 Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.(Creole-HT) ======= Matthew 5:6 ============ Mat 5:6 Blessed are they which do hunger and thirst after righteousness: for they shall be filled.(KJV-1611) Mat 5:6 Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.(Creole-HT) ======= Matthew 5:7 ============ Mat 5:7 Blessed are the merciful: for they shall obtain mercy.(KJV-1611) Mat 5:7 Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.(Creole-HT) ======= Matthew 5:8 ============ Mat 5:8 Blessed are the pure in heart: for they shall see God.(KJV-1611) Mat 5:8 Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 5:9 ============ Mat 5:9 Blessed are the peacemakers: for they shall be called the children of God.(KJV-1611) Mat 5:9 Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.(Creole-HT) ======= Matthew 5:10 ============ Mat 5:10 Blessed are they which are persecuted for righteousness' sake: for theirs is the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 5:10 Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 5:11 ============ Mat 5:11 Blessed are ye, when men shall revile you, and persecute you, and shall say all manner of evil against you falsely, for my sake.(KJV-1611) Mat 5:11 Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.(Creole-HT) ======= Matthew 5:12 ============ Mat 5:12 Rejoice, and be exceeding glad: for great is your reward in heaven: for so persecuted they the prophets which were before you.(KJV-1611) Mat 5:12 Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 5:13 ============ Mat 5:13 Ye are the salt of the earth: but if the salt have lost his savour, wherewith shall it be salted? it is thenceforth good for nothing, but to be cast out, and to be trodden under foot of men.(KJV-1611) Mat 5:13 Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 5:14 ============ Mat 5:14 Ye are the light of the world. A city that is set on an hill cannot be hid.(KJV-1611) Mat 5:14 Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.(Creole-HT) ======= Matthew 5:15 ============ Mat 5:15 Neither do men light a candle, and put it under a bushel, but on a candlestick; and it giveth light unto all that are in the house.(KJV-1611) Mat 5:15 Ni yo pa limen yon lanp pou mete l' anba yon mamit. Men, yo mete l' sou yon etajè, pou l' klere pou tout moun ki nan kay la.(Creole-HT) ======= Matthew 5:16 ============ Mat 5:16 Let your light so shine before men, that they may see your good works, and glorify your Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 5:16 Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 5:17 ============ Mat 5:17 Think not that I am come to destroy the law, or the prophets: I am not come to destroy, but to fulfil.(KJV-1611) Mat 5:17 Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.(Creole-HT) ======= Matthew 5:18 ============ Mat 5:18 For verily I say unto you, Till heaven and earth pass, one jot or one tittle shall in no wise pass from the law, till all be fulfilled.(KJV-1611) Mat 5:18 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.(Creole-HT) ======= Matthew 5:19 ============ Mat 5:19 Whosoever therefore shall break one of these least commandments, and shall teach men so, he shall be called the least in the kingdom of heaven: but whosoever shall do and teach them, the same shall be called great in the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 5:19 Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 5:20 ============ Mat 5:20 For I say unto you, That except your righteousness shall exceed the righteousness of the scribes and Pharisees, ye shall in no case enter into the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 5:20 Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 5:21 ============ Mat 5:21 Ye have heard that it was said of them of old time, Thou shalt not kill; and whosoever shall kill shall be in danger of the judgment:(KJV-1611) Mat 5:21 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Piga ou janm touye moun. Moun ki touye moun, se pou yo jije yo.(Creole-HT) ======= Matthew 5:22 ============ Mat 5:22 But I say unto you, That whosoever is angry with his brother without a cause shall be in danger of the judgment: and whosoever shall say to his brother, Raca, shall be in danger of the council: but whosoever shall say, Thou fool, shall be in danger of hell fire.(KJV-1611) Mat 5:22 Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.(Creole-HT) ======= Matthew 5:23 ============ Mat 5:23 Therefore if thou bring thy gift to the altar, and there rememberest that thy brother hath ought against thee;(KJV-1611) Mat 5:23 Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:(Creole-HT) ======= Matthew 5:24 ============ Mat 5:24 Leave there thy gift before the altar, and go thy way; first be reconciled to thy brother, and then come and offer thy gift.(KJV-1611) Mat 5:24 Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an.(Creole-HT) ======= Matthew 5:25 ============ Mat 5:25 Agree with thine adversary quickly, whiles thou art in the way with him; lest at any time the adversary deliver thee to the judge, and the judge deliver thee to the officer, and thou be cast into prison.(KJV-1611) Mat 5:25 Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l' antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon.(Creole-HT) ======= Matthew 5:26 ============ Mat 5:26 Verily I say unto thee, Thou shalt by no means come out thence, till thou hast paid the uttermost farthing.(KJV-1611) Mat 5:26 Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap soti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la.(Creole-HT) ======= Matthew 5:27 ============ Mat 5:27 Ye have heard that it was said by them of old time, Thou shalt not commit adultery:(KJV-1611) Mat 5:27 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè.(Creole-HT) ======= Matthew 5:28 ============ Mat 5:28 But I say unto you, That whosoever looketh on a woman to lust after her hath committed adultery with her already in his heart.(KJV-1611) Mat 5:28 Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.(Creole-HT) ======= Matthew 5:29 ============ Mat 5:29 And if thy right eye offend thee, pluck it out, and cast it from thee: for it is profitable for thee that one of thy members should perish, and not that thy whole body should be cast into hell.(KJV-1611) Mat 5:29 Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.(Creole-HT) ======= Matthew 5:30 ============ Mat 5:30 And if thy right hand offend thee, cut it off, and cast it from thee: for it is profitable for thee that one of thy members should perish, and not that thy whole body should be cast into hell.(KJV-1611) Mat 5:30 Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.(Creole-HT) ======= Matthew 5:31 ============ Mat 5:31 It hath been said, Whosoever shall put away his wife, let him give her a writing of divorcement:(KJV-1611) Mat 5:31 Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.(Creole-HT) ======= Matthew 5:32 ============ Mat 5:32 But I say unto you, That whosoever shall put away his wife, saving for the cause of fornication, causeth her to commit adultery: and whosoever shall marry her that is divorced committeth adultery.(KJV-1611) Mat 5:32 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l' kite l', li fè adiltè tou.(Creole-HT) ======= Matthew 5:33 ============ Mat 5:33 Again, ye have heard that it hath been said by them of old time, Thou shalt not forswear thyself, but shalt perform unto the Lord thine oaths:(KJV-1611) Mat 5:33 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Ou pa dwe refize fè sa ou te sèmante pou ou te fè a. Se pou ou fè sa ou te sèmante fè devan Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 5:34 ============ Mat 5:34 But I say unto you, Swear not at all; neither by heaven; for it is God's throne:(KJV-1611) Mat 5:34 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fotèy kote Bondye chita.(Creole-HT) ======= Matthew 5:35 ============ Mat 5:35 Nor by the earth; for it is his footstool: neither by Jerusalem; for it is the city of the great King.(KJV-1611) Mat 5:35 Pa fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a.(Creole-HT) ======= Matthew 5:36 ============ Mat 5:36 Neither shalt thou swear by thy head, because thou canst not make one hair white or black.(KJV-1611) Mat 5:36 Pa fè sèman non plis sou tèt pa ou, paske ou pa ka fè yon sèl grenn cheve nan tèt ou tounen blan osinon nwa.(Creole-HT) ======= Matthew 5:37 ============ Mat 5:37 But let your communication be, Yea, yea; Nay, nay: for whatsoever is more than these cometh of evil.(KJV-1611) Mat 5:37 Men, lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa soti.(Creole-HT) ======= Matthew 5:38 ============ Mat 5:38 Ye have heard that it hath been said, An eye for an eye, and a tooth for a tooth:(KJV-1611) Mat 5:38 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.(Creole-HT) ======= Matthew 5:39 ============ Mat 5:39 But I say unto you, That ye resist not evil: but whosoever shall smite thee on thy right cheek, turn to him the other also.(KJV-1611) Mat 5:39 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.(Creole-HT) ======= Matthew 5:40 ============ Mat 5:40 And if any man will sue thee at the law, and take away thy coat, let him have thy cloak also.(KJV-1611) Mat 5:40 Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou.(Creole-HT) ======= Matthew 5:41 ============ Mat 5:41 And whosoever shall compel thee to go a mile, go with him twain.(KJV-1611) Mat 5:41 Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l'.(Creole-HT) ======= Matthew 5:42 ============ Mat 5:42 Give to him that asketh thee, and from him that would borrow of thee turn not thou away.(KJV-1611) Mat 5:42 Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.(Creole-HT) ======= Matthew 5:43 ============ Mat 5:43 Ye have heard that it hath been said, Thou shalt love thy neighbour, and hate thine enemy.(KJV-1611) Mat 5:43 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 5:44 ============ Mat 5:44 But I say unto you, Love your enemies, bless them that curse you, do good to them that hate you, and pray for them which despitefully use you, and persecute you;(KJV-1611) Mat 5:44 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.(Creole-HT) ======= Matthew 5:45 ============ Mat 5:45 That ye may be the children of your Father which is in heaven: for he maketh his sun to rise on the evil and on the good, and sendeth rain on the just and on the unjust.(KJV-1611) Mat 5:45 Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Matthew 5:46 ============ Mat 5:46 For if ye love them which love you, what reward have ye? do not even the publicans the same?(KJV-1611) Mat 5:46 Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?(Creole-HT) ======= Matthew 5:47 ============ Mat 5:47 And if ye salute your brethren only, what do ye more than others? do not even the publicans so?(KJV-1611) Mat 5:47 Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?(Creole-HT) ======= Matthew 5:48 ============ Mat 5:48 Be ye therefore perfect, even as your Father which is in heaven is perfect.(KJV-1611) Mat 5:48 Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.(Creole-HT) ======= Matthew 6:1 ============ Mat 6:1 Take heed that ye do not your alms before men, to be seen of them: otherwise ye have no reward of your Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 6:1 Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.(Creole-HT) ======= Matthew 6:2 ============ Mat 6:2 Therefore when thou doest thine alms, do not sound a trumpet before thee, as the hypocrites do in the synagogues and in the streets, that they may have glory of men. Verily I say unto you, They have their reward.(KJV-1611) Mat 6:2 Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.(Creole-HT) ======= Matthew 6:3 ============ Mat 6:3 But when thou doest alms, let not thy left hand know what thy right hand doeth:(KJV-1611) Mat 6:3 Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè l' yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa.(Creole-HT) ======= Matthew 6:4 ============ Mat 6:4 That thine alms may be in secret: and thy Father which seeth in secret himself shall reward thee openly.(KJV-1611) Mat 6:4 Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:5 ============ Mat 6:5 And when thou prayest, thou shalt not be as the hypocrites are: for they love to pray standing in the synagogues and in the corners of the streets, that they may be seen of men. Verily I say unto you, They have their reward.(KJV-1611) Mat 6:5 Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.(Creole-HT) ======= Matthew 6:6 ============ Mat 6:6 But thou, when thou prayest, enter into thy closet, and when thou hast shut thy door, pray to thy Father which is in secret; and thy Father which seeth in secret shall reward thee openly.(KJV-1611) Mat 6:6 Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:7 ============ Mat 6:7 But when ye pray, use not vain repetitions, as the heathen do: for they think that they shall be heard for their much speaking.(KJV-1611) Mat 6:7 Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 6:8 ============ Mat 6:8 Be not ye therefore like unto them: for your Father knoweth what things ye have need of, before ye ask him.(KJV-1611) Mat 6:8 Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.(Creole-HT) ======= Matthew 6:9 ============ Mat 6:9 After this manner therefore pray ye: Our Father which art in heaven, Hallowed be thy name.(KJV-1611) Mat 6:9 Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:10 ============ Mat 6:10 Thy kingdom come, Thy will be done in earth, as it is in heaven.(KJV-1611) Mat 6:10 vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 6:11 ============ Mat 6:11 Give us this day our daily bread.(KJV-1611) Mat 6:11 Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.(Creole-HT) ======= Matthew 6:12 ============ Mat 6:12 And forgive us our debts, as we forgive our debtors.(KJV-1611) Mat 6:12 Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.(Creole-HT) ======= Matthew 6:13 ============ Mat 6:13 And lead us not into temptation, but deliver us from evil: For thine is the kingdom, and the power, and the glory, for ever. Amen.(KJV-1611) Mat 6:13 Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn(Creole-HT) ======= Matthew 6:14 ============ Mat 6:14 For if ye forgive men their trespasses, your heavenly Father will also forgive you:(KJV-1611) Mat 6:14 Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:15 ============ Mat 6:15 But if ye forgive not men their trespasses, neither will your Father forgive your trespasses.(KJV-1611) Mat 6:15 Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo non plis.(Creole-HT) ======= Matthew 6:16 ============ Mat 6:16 Moreover when ye fast, be not, as the hypocrites, of a sad countenance: for they disfigure their faces, that they may appear unto men to fast. Verily I say unto you, They have their reward.(KJV-1611) Mat 6:16 Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.(Creole-HT) ======= Matthew 6:17 ============ Mat 6:17 But thou, when thou fastest, anoint thine head, and wash thy face;(KJV-1611) Mat 6:17 Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave.(Creole-HT) ======= Matthew 6:18 ============ Mat 6:18 That thou appear not unto men to fast, but unto thy Father which is in secret: and thy Father, which seeth in secret, shall reward thee openly.(KJV-1611) Mat 6:18 Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:19 ============ Mat 6:19 Lay not up for yourselves treasures upon earth, where moth and rust doth corrupt, and where thieves break through and steal:(KJV-1611) Mat 6:19 Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.(Creole-HT) ======= Matthew 6:20 ============ Mat 6:20 But lay up for yourselves treasures in heaven, where neither moth nor rust doth corrupt, and where thieves do not break through nor steal:(KJV-1611) Mat 6:20 Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.(Creole-HT) ======= Matthew 6:21 ============ Mat 6:21 For where your treasure is, there will your heart be also.(KJV-1611) Mat 6:21 Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:22 ============ Mat 6:22 The light of the body is the eye: if therefore thine eye be single, thy whole body shall be full of light.(KJV-1611) Mat 6:22 Je ou se tankou yon lanp li ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou va nan limyè.(Creole-HT) ======= Matthew 6:23 ============ Mat 6:23 But if thine eye be evil, thy whole body shall be full of darkness. If therefore the light that is in thee be darkness, how great is that darkness!(KJV-1611) Mat 6:23 Men, si je ou an move eta, tout kò ou va nan fènwa. Se sa ki fè, si limyè ki anndan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.(Creole-HT) ======= Matthew 6:24 ============ Mat 6:24 No man can serve two masters: for either he will hate the one, and love the other; or else he will hold to the one, and despise the other. Ye cannot serve God and mammon.(KJV-1611) Mat 6:24 Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan.(Creole-HT) ======= Matthew 6:25 ============ Mat 6:25 Therefore I say unto you, Take no thought for your life, what ye shall eat, or what ye shall drink; nor yet for your body, what ye shall put on. Is not the life more than meat, and the body than raiment?(KJV-1611) Mat 6:25 Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?(Creole-HT) ======= Matthew 6:26 ============ Mat 6:26 Behold the fowls of the air: for they sow not, neither do they reap, nor gather into barns; yet your heavenly Father feedeth them. Are ye not much better than they?(KJV-1611) Mat 6:26 Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?(Creole-HT) ======= Matthew 6:27 ============ Mat 6:27 Which of you by taking thought can add one cubit unto his stature?(KJV-1611) Mat 6:27 Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'?(Creole-HT) ======= Matthew 6:28 ============ Mat 6:28 And why take ye thought for raiment? Consider the lilies of the field, how they grow; they toil not, neither do they spin:(KJV-1611) Mat 6:28 Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad.(Creole-HT) ======= Matthew 6:29 ============ Mat 6:29 And yet I say unto you, That even Solomon in all his glory was not arrayed like one of these.(KJV-1611) Mat 6:29 Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 6:30 ============ Mat 6:30 Wherefore, if God so clothe the grass of the field, which to day is, and to morrow is cast into the oven, shall he not much more clothe you, O ye of little faith?(KJV-1611) Mat 6:30 Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!(Creole-HT) ======= Matthew 6:31 ============ Mat 6:31 Therefore take no thought, saying, What shall we eat? or, What shall we drink? or, Wherewithal shall we be clothed?(KJV-1611) Mat 6:31 Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n' pral manje? Kisa n' pral bwè? Kisa n' pral mete sou nou?(Creole-HT) ======= Matthew 6:32 ============ Mat 6:32 (For after all these things do the Gentiles seek:) for your heavenly Father knoweth that ye have need of all these things.(KJV-1611) Mat 6:32 Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 6:33 ============ Mat 6:33 But seek ye first the kingdom of God, and his righteousness; and all these things shall be added unto you.(KJV-1611) Mat 6:33 Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.(Creole-HT) ======= Matthew 6:34 ============ Mat 6:34 Take therefore no thought for the morrow: for the morrow shall take thought for the things of itself. Sufficient unto the day is the evil thereof.(KJV-1611) Mat 6:34 Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 7:1 ============ Mat 7:1 Judge not, that ye be not judged.(KJV-1611) Mat 7:1 Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,(Creole-HT) ======= Matthew 7:2 ============ Mat 7:2 For with what judgment ye judge, ye shall be judged: and with what measure ye mete, it shall be measured to you again.(KJV-1611) Mat 7:2 paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.(Creole-HT) ======= Matthew 7:3 ============ Mat 7:3 And why beholdest thou the mote that is in thy brother's eye, but considerest not the beam that is in thine own eye?(KJV-1611) Mat 7:3 Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?(Creole-HT) ======= Matthew 7:4 ============ Mat 7:4 Or how wilt thou say to thy brother, Let me pull out the mote out of thine eye; and, behold, a beam is in thine own eye?(KJV-1611) Mat 7:4 Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la?(Creole-HT) ======= Matthew 7:5 ============ Mat 7:5 Thou hypocrite, first cast out the beam out of thine own eye; and then shalt thou see clearly to cast out the mote out of thy brother's eye.(KJV-1611) Mat 7:5 Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.(Creole-HT) ======= Matthew 7:6 ============ Mat 7:6 Give not that which is holy unto the dogs, neither cast ye your pearls before swine, lest they trample them under their feet, and turn again and rend you.(KJV-1611) Mat 7:6 Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.(Creole-HT) ======= Matthew 7:7 ============ Mat 7:7 Ask, and it shall be given you; seek, and ye shall find; knock, and it shall be opened unto you:(KJV-1611) Mat 7:7 Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 7:8 ============ Mat 7:8 For every one that asketh receiveth; and he that seeketh findeth; and to him that knocketh it shall be opened.(KJV-1611) Mat 7:8 Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. y'a louvri pou moun ki frape.(Creole-HT) ======= Matthew 7:9 ============ Mat 7:9 Or what man is there of you, whom if his son ask bread, will he give him a stone?(KJV-1611) Mat 7:9 Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l' yon pen?(Creole-HT) ======= Matthew 7:10 ============ Mat 7:10 Or if he ask a fish, will he give him a serpent?(KJV-1611) Mat 7:10 Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l' yon pwason?(Creole-HT) ======= Matthew 7:11 ============ Mat 7:11 If ye then, being evil, know how to give good gifts unto your children, how much more shall your Father which is in heaven give good things to them that ask him?(KJV-1611) Mat 7:11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.(Creole-HT) ======= Matthew 7:12 ============ Mat 7:12 Therefore all things whatsoever ye would that men should do to you, do ye even so to them: for this is the law and the prophets.(KJV-1611) Mat 7:12 Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.(Creole-HT) ======= Matthew 7:13 ============ Mat 7:13 Enter ye in at the strait gate: for wide is the gate, and broad is the way, that leadeth to destruction, and many there be which go in thereat:(KJV-1611) Mat 7:13 Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li.(Creole-HT) ======= Matthew 7:14 ============ Mat 7:14 Because strait is the gate, and narrow is the way, which leadeth unto life, and few there be that find it.(KJV-1611) Mat 7:14 Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.(Creole-HT) ======= Matthew 7:15 ============ Mat 7:15 Beware of false prophets, which come to you in sheep's clothing, but inwardly they are ravening wolves.(KJV-1611) Mat 7:15 Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.(Creole-HT) ======= Matthew 7:16 ============ Mat 7:16 Ye shall know them by their fruits. Do men gather grapes of thorns, or figs of thistles?(KJV-1611) Mat 7:16 n'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt.(Creole-HT) ======= Matthew 7:17 ============ Mat 7:17 Even so every good tree bringeth forth good fruit; but a corrupt tree bringeth forth evil fruit.(KJV-1611) Mat 7:17 Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.(Creole-HT) ======= Matthew 7:18 ============ Mat 7:18 A good tree cannot bring forth evil fruit, neither can a corrupt tree bring forth good fruit.(KJV-1611) Mat 7:18 Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.(Creole-HT) ======= Matthew 7:19 ============ Mat 7:19 Every tree that bringeth not forth good fruit is hewn down, and cast into the fire.(KJV-1611) Mat 7:19 Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.(Creole-HT) ======= Matthew 7:20 ============ Mat 7:20 Wherefore by their fruits ye shall know them.(KJV-1611) Mat 7:20 Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.(Creole-HT) ======= Matthew 7:21 ============ Mat 7:21 Not every one that saith unto me, Lord, Lord, shall enter into the kingdom of heaven; but he that doeth the will of my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 7:21 Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 7:22 ============ Mat 7:22 Many will say to me in that day, Lord, Lord, have we not prophesied in thy name? and in thy name have cast out devils? and in thy name done many wonderful works?(KJV-1611) Mat 7:22 Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.(Creole-HT) ======= Matthew 7:23 ============ Mat 7:23 And then will I profess unto them, I never knew you: depart from me, ye that work iniquity.(KJV-1611) Mat 7:23 Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Matthew 7:24 ============ Mat 7:24 Therefore whosoever heareth these sayings of mine, and doeth them, I will liken him unto a wise man, which built his house upon a rock:(KJV-1611) Mat 7:24 Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.(Creole-HT) ======= Matthew 7:25 ============ Mat 7:25 And the rain descended, and the floods came, and the winds blew, and beat upon that house; and it fell not: for it was founded upon a rock.(KJV-1611) Mat 7:25 Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.(Creole-HT) ======= Matthew 7:26 ============ Mat 7:26 And every one that heareth these sayings of mine, and doeth them not, shall be likened unto a foolish man, which built his house upon the sand:(KJV-1611) Mat 7:26 Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.(Creole-HT) ======= Matthew 7:27 ============ Mat 7:27 And the rain descended, and the floods came, and the winds blew, and beat upon that house; and it fell: and great was the fall of it.(KJV-1611) Mat 7:27 Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.(Creole-HT) ======= Matthew 7:28 ============ Mat 7:28 And it came to pass, when Jesus had ended these sayings, the people were astonished at his doctrine:(KJV-1611) Mat 7:28 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo.(Creole-HT) ======= Matthew 7:29 ============ Mat 7:29 For he taught them as one having authority, and not as the scribes.(KJV-1611) Mat 7:29 Se pa t' menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.(Creole-HT) ======= Matthew 8:1 ============ Mat 8:1 When he was come down from the mountain, great multitudes followed him.(KJV-1611) Mat 8:1 Apre sa, Jezi desann soti sou ti mòn lan, yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:2 ============ Mat 8:2 And, behold, there came a leper and worshipped him, saying, Lord, if thou wilt, thou canst make me clean.(KJV-1611) Mat 8:2 Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l', li tonbe ajenou devan Jezi, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 8:3 ============ Mat 8:3 And Jesus put forth his hand, and touched him, saying, I will; be thou clean. And immediately his leprosy was cleansed.(KJV-1611) Mat 8:3 Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle. Se pou ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:4 ============ Mat 8:4 And Jesus saith unto him, See thou tell no man; but go thy way, shew thyself to the priest, and offer the gift that Moses commanded, for a testimony unto them.(KJV-1611) Mat 8:4 Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri.(Creole-HT) ======= Matthew 8:5 ============ Mat 8:5 And when Jesus was entered into Capernaum, there came unto him a centurion, beseeching him,(KJV-1611) Mat 8:5 Antan Jezi t'ap antre lavil Kapènawòm, yon kaptenn lame women an vin bò kote li. Li mande l' yon sèvis. Li di l' konsa:(Creole-HT) ======= Matthew 8:6 ============ Mat 8:6 And saying, Lord, my servant lieth at home sick of the palsy, grievously tormented.(KJV-1611) Mat 8:6 Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 8:7 ============ Mat 8:7 And Jesus saith unto him, I will come and heal him.(KJV-1611) Mat 8:7 Jezi di l' konsa: Mwen pral geri l' pou ou.(Creole-HT) ======= Matthew 8:8 ============ Mat 8:8 The centurion answered and said, Lord, I am not worthy that thou shouldest come under my roof: but speak the word only, and my servant shall be healed.(KJV-1611) Mat 8:8 Men kaptenn lan reponn li: Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.(Creole-HT) ======= Matthew 8:9 ============ Mat 8:9 For I am a man under authority, having soldiers under me: and I say to this man, Go, and he goeth; and to another, Come, and he cometh; and to my servant, Do this, and he doeth it.(KJV-1611) Mat 8:9 Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:10 ============ Mat 8:10 When Jesus heard it, he marvelled, and said to them that followed, Verily I say unto you, I have not found so great faith, no, not in Israel.(KJV-1611) Mat 8:10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 8:11 ============ Mat 8:11 And I say unto you, That many shall come from the east and west, and shall sit down with Abraham, and Isaac, and Jacob, in the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 8:11 Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 8:12 ============ Mat 8:12 But the children of the kingdom shall be cast out into outer darkness: there shall be weeping and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 8:12 Men, moun ki pou ta antre nan Peyi Wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 8:13 ============ Mat 8:13 And Jesus said unto the centurion, Go thy way; and as thou hast believed, so be it done unto thee. And his servant was healed in the selfsame hour.(KJV-1611) Mat 8:13 Apre sa, Jezi di kaptenn lan: Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l' la. Menm lè a, domestik la te geri.(Creole-HT) ======= Matthew 8:14 ============ Mat 8:14 And when Jesus was come into Peter's house, he saw his wife's mother laid, and sick of a fever.(KJV-1611) Mat 8:14 Apre sa, Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèv.(Creole-HT) ======= Matthew 8:15 ============ Mat 8:15 And he touched her hand, and the fever left her: and she arose, and ministered unto them.(KJV-1611) Mat 8:15 Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:16 ============ Mat 8:16 When the even was come, they brought unto him many that were possessed with devils: and he cast out the spirits with his word, and healed all that were sick:(KJV-1611) Mat 8:16 Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.(Creole-HT) ======= Matthew 8:17 ============ Mat 8:17 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying, Himself took our infirmities, and bare our sicknesses.(KJV-1611) Mat 8:17 Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:18 ============ Mat 8:18 Now when Jesus saw great multitudes about him, he gave commandment to depart unto the other side.(KJV-1611) Mat 8:18 Jezi wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Matthew 8:19 ============ Mat 8:19 And a certain scribe came, and said unto him, Master, I will follow thee whithersoever thou goest.(KJV-1611) Mat 8:19 Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.(Creole-HT) ======= Matthew 8:20 ============ Mat 8:20 And Jesus saith unto him, The foxes have holes, and the birds of the air have nests; but the Son of man hath not where to lay his head.(KJV-1611) Mat 8:20 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo. Zwezo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l' poze tèt li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:21 ============ Mat 8:21 And another of his disciples said unto him, Lord, suffer me first to go and bury my father.(KJV-1611) Mat 8:21 Yon lòt nan disip yo di li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.(Creole-HT) ======= Matthew 8:22 ============ Mat 8:22 But Jesus said unto him, Follow me; and let the dead bury their dead.(KJV-1611) Mat 8:22 Men Jezi di li: Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.(Creole-HT) ======= Matthew 8:23 ============ Mat 8:23 And when he was entered into a ship, his disciples followed him.(KJV-1611) Mat 8:23 Jezi moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li.(Creole-HT) ======= Matthew 8:24 ============ Mat 8:24 And, behold, there arose a great tempest in the sea, insomuch that the ship was covered with the waves: but he was asleep.(KJV-1611) Mat 8:24 Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 8:25 ============ Mat 8:25 And his disciples came to him, and awoke him, saying, Lord, save us: we perish.(KJV-1611) Mat 8:25 Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l', yo fè l' leve. Yo di l' konsa: Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 8:26 ============ Mat 8:26 And he saith unto them, Why are ye fearful, O ye of little faith? Then he arose, and rebuked the winds and the sea; and there was a great calm.(KJV-1611) Mat 8:26 Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.(Creole-HT) ======= Matthew 8:27 ============ Mat 8:27 But the men marvelled, saying, What manner of man is this, that even the winds and the sea obey him!(KJV-1611) Mat 8:27 Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?(Creole-HT) ======= Matthew 8:28 ============ Mat 8:28 And when he was come to the other side into the country of the Gergesenes, there met him two possessed with devils, coming out of the tombs, exceeding fierce, so that no man might pass by that way.(KJV-1611) Mat 8:28 Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun soti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pesonn pa t' kapab pase nan chemen sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 8:29 ============ Mat 8:29 And, behold, they cried out, saying, What have we to do with thee, Jesus, thou Son of God? art thou come hither to torment us before the time?(KJV-1611) Mat 8:29 Yo tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou?(Creole-HT) ======= Matthew 8:30 ============ Mat 8:30 And there was a good way off from them an herd of many swine feeding.(KJV-1611) Mat 8:30 Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Matthew 8:31 ============ Mat 8:31 So the devils besought him, saying, If thou cast us out, suffer us to go away into the herd of swine.(KJV-1611) Mat 8:31 Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 8:32 ============ Mat 8:32 And he said unto them, Go. And when they were come out, they went into the herd of swine: and, behold, the whole herd of swine ran violently down a steep place into the sea, and perished in the waters.(KJV-1611) Mat 8:32 Jezi di yo: Ale non. Move lespri yo soti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y al neye tèt yo nan lanmè.(Creole-HT) ======= Matthew 8:33 ============ Mat 8:33 And they that kept them fled, and went their ways into the city, and told every thing, and what was befallen to the possessed of the devils.(KJV-1611) Mat 8:33 Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 8:34 ============ Mat 8:34 And, behold, the whole city came out to meet Jesus: and when they saw him, they besought him that he would depart out of their coasts.(KJV-1611) Mat 8:34 Lè sa a, tout moun lavil la soti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l', yo mande li: Tanpri souple, ale fè wout ou.(Creole-HT) ======= Matthew 9:1 ============ Mat 9:1 And he entered into a ship, and passed over, and came into his own city.(KJV-1611) Mat 9:1 Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Matthew 9:2 ============ Mat 9:2 And, behold, they brought to him a man sick of the palsy, lying on a bed: and Jesus seeing their faith said unto the sick of the palsy; Son, be of good cheer; thy sins be forgiven thee.(KJV-1611) Mat 9:2 Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen.(Creole-HT) ======= Matthew 9:3 ============ Mat 9:3 And, behold, certain of the scribes said within themselves, This man blasphemeth.(KJV-1611) Mat 9:3 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 9:4 ============ Mat 9:4 And Jesus knowing their thoughts said, Wherefore think ye evil in your hearts?(KJV-1611) Mat 9:4 Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?(Creole-HT) ======= Matthew 9:5 ============ Mat 9:5 For whether is easier, to say, Thy sins be forgiven thee; or to say, Arise, and walk?(KJV-1611) Mat 9:5 Kisa ki pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache?(Creole-HT) ======= Matthew 9:6 ============ Mat 9:6 But that ye may know that the Son of man hath power on earth to forgive sins, (then saith he to the sick of the palsy,) Arise, take up thy bed, and go unto thine house.(KJV-1611) Mat 9:6 Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.(Creole-HT) ======= Matthew 9:7 ============ Mat 9:7 And he arose, and departed to his house.(KJV-1611) Mat 9:7 Nonm lan leve kanpe vre, li ale lakay li.(Creole-HT) ======= Matthew 9:8 ============ Mat 9:8 But when the multitudes saw it, they marvelled, and glorified God, which had given such power unto men.(KJV-1611) Mat 9:8 Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 9:9 ============ Mat 9:9 And as Jesus passed forth from thence, he saw a man, named Matthew, sitting at the receipt of custom: and he saith unto him, Follow me. And he arose, and followed him.(KJV-1611) Mat 9:9 Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 9:10 ============ Mat 9:10 And it came to pass, as Jesus sat at meat in the house, behold, many publicans and sinners came and sat down with him and his disciples.(KJV-1611) Mat 9:10 Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l' ansanm ak disip li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 9:11 ============ Mat 9:11 And when the Pharisees saw it, they said unto his disciples, Why eateth your Master with publicans and sinners?(KJV-1611) Mat 9:11 Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?(Creole-HT) ======= Matthew 9:12 ============ Mat 9:12 But when Jesus heard that, he said unto them, They that be whole need not a physician, but they that are sick.(KJV-1611) Mat 9:12 Jezi tande sa, li di yo: Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.(Creole-HT) ======= Matthew 9:13 ============ Mat 9:13 But go ye and learn what that meaneth, I will have mercy, and not sacrifice: for I am not come to call the righteous, but sinners to repentance.(KJV-1611) Mat 9:13 Ale non, chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap ofri pou touye pou mwen yo. Paske, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal yo.(Creole-HT) ======= Matthew 9:14 ============ Mat 9:14 Then came to him the disciples of John, saying, Why do we and the Pharisees fast oft, but thy disciples fast not?(KJV-1611) Mat 9:14 Disip Jan Batis yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?(Creole-HT) ======= Matthew 9:15 ============ Mat 9:15 And Jesus said unto them, Can the children of the bridechamber mourn, as long as the bridegroom is with them? but the days will come, when the bridegroom shall be taken from them, and then shall they fast.(KJV-1611) Mat 9:15 Jezi reponn yo: Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.(Creole-HT) ======= Matthew 9:16 ============ Mat 9:16 No man putteth a piece of new cloth unto an old garment, for that which is put in to fill it up taketh from the garment, and the rent is made worse.(KJV-1611) Mat 9:16 Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Paske, pyès nèf la va pati ak moso nan rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal.(Creole-HT) ======= Matthew 9:17 ============ Mat 9:17 Neither do men put new wine into old bottles: else the bottles break, and the wine runneth out, and the bottles perish: but they put new wine into new bottles, and both are preserved.(KJV-1611) Mat 9:17 Konsa tou, yo pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, veso an po yo gen pou pete, diven an gen pou koule atè; epi ou pèdi veso yo tou. Men, yo mete diven ki fèk fèt nan veso an po ki fenk fèt tou. Konsa, ni diven an ni veso an po yo ap byen konsève.(Creole-HT) ======= Matthew 9:18 ============ Mat 9:18 While he spake these things unto them, behold, there came a certain ruler, and worshipped him, saying, My daughter is even now dead: but come and lay thy hand upon her, and she shall live.(KJV-1611) Mat 9:18 Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: Pitit fi mwen an fèk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv.(Creole-HT) ======= Matthew 9:19 ============ Mat 9:19 And Jesus arose, and followed him, and so did his disciples.(KJV-1611) Mat 9:19 Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l' tou.(Creole-HT) ======= Matthew 9:20 ============ Mat 9:20 And, behold, a woman, which was diseased with an issue of blood twelve years, came behind him, and touched the hem of his garment:(KJV-1611) Mat 9:20 Lè sa a, yon fanm ki te malad pwoche pa dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi a,(Creole-HT) ======= Matthew 9:21 ============ Mat 9:21 For she said within herself, If I may but touch his garment, I shall be whole.(KJV-1611) Mat 9:21 paske li t'ap di nan kè l': Si m' ka manyen rad li sèlman, m'a geri.(Creole-HT) ======= Matthew 9:22 ============ Mat 9:22 But Jesus turned him about, and when he saw her, he said, Daughter, be of good comfort; thy faith hath made thee whole. And the woman was made whole from that hour.(KJV-1611) Mat 9:22 Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l' konsa: Pran kouraj, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.(Creole-HT) ======= Matthew 9:23 ============ Mat 9:23 And when Jesus came into the ruler's house, and saw the minstrels and the people making a noise,(KJV-1611) Mat 9:23 Lè Jezi rive kay chèf la, li wè mizisyen yo ki t'ap pare pou lantèman an, ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè anpil bri.(Creole-HT) ======= Matthew 9:24 ============ Mat 9:24 He said unto them, Give place: for the maid is not dead, but sleepeth. And they laughed him to scorn.(KJV-1611) Mat 9:24 Jezi di yo: Tout moun, soti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l' nan betiz.(Creole-HT) ======= Matthew 9:25 ============ Mat 9:25 But when the people were put forth, he went in, and took her by the hand, and the maid arose.(KJV-1611) Mat 9:25 Lè foul moun yo fin soti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve.(Creole-HT) ======= Matthew 9:26 ============ Mat 9:26 And the fame hereof went abroad into all that land.(KJV-1611) Mat 9:26 Nouvèl la gaye nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Matthew 9:27 ============ Mat 9:27 And when Jesus departed thence, two blind men followed him, crying, and saying, Thou son of David, have mercy on us.(KJV-1611) Mat 9:27 Jezi kite kote l' te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: Pitit David, gen pitye pou nou!(Creole-HT) ======= Matthew 9:28 ============ Mat 9:28 And when he was come into the house, the blind men came to him: and Jesus saith unto them, Believe ye that I am able to do this? They said unto him, Yea, Lord.(KJV-1611) Mat 9:28 Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: Wi, Mèt.(Creole-HT) ======= Matthew 9:29 ============ Mat 9:29 Then touched he their eyes, saying, According to your faith be it unto you.(KJV-1611) Mat 9:29 Lè sa a, li manyen je yo, li di: Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l' la.(Creole-HT) ======= Matthew 9:30 ============ Mat 9:30 And their eyes were opened; and Jesus straitly charged them, saying, See that no man know it.(KJV-1611) Mat 9:30 Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: Tande byen, piga pesonn konn sa.(Creole-HT) ======= Matthew 9:31 ============ Mat 9:31 But they, when they were departed, spread abroad his fame in all that country.(KJV-1611) Mat 9:31 Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l' toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Matthew 9:32 ============ Mat 9:32 As they went out, behold, they brought to him a dumb man possessed with a devil.(KJV-1611) Mat 9:32 Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 9:33 ============ Mat 9:33 And when the devil was cast out, the dumb spake: and the multitudes marvelled, saying, It was never so seen in Israel.(KJV-1611) Mat 9:33 Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl.(Creole-HT) ======= Matthew 9:34 ============ Mat 9:34 But the Pharisees said, He casteth out devils through the prince of the devils.(KJV-1611) Mat 9:34 Men, farizyen yo t'ap di: Se chèf move lespri yo ki ba l' pouvwa pou chase move lespri yo.(Creole-HT) ======= Matthew 9:35 ============ Mat 9:35 And Jesus went about all the cities and villages, teaching in their synagogues, and preaching the gospel of the kingdom, and healing every sickness and every disease among the people.(KJV-1611) Mat 9:35 Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.(Creole-HT) ======= Matthew 9:36 ============ Mat 9:36 But when he saw the multitudes, he was moved with compassion on them, because they fainted, and were scattered abroad, as sheep having no shepherd.(KJV-1611) Mat 9:36 Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.(Creole-HT) ======= Matthew 9:37 ============ Mat 9:37 Then saith he unto his disciples, The harvest truly is plenteous, but the labourers are few;(KJV-1611) Mat 9:37 Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l'.(Creole-HT) ======= Matthew 9:38 ============ Mat 9:38 Pray ye therefore the Lord of the harvest, that he will send forth labourers into his harvest.(KJV-1611) Mat 9:38 Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.(Creole-HT) ======= Matthew 10:1 ============ Mat 10:1 And when he had called unto him his twelve disciples, he gave them power against unclean spirits, to cast them out, and to heal all manner of sickness and all manner of disease.(KJV-1611) Mat 10:1 Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.(Creole-HT) ======= Matthew 10:2 ============ Mat 10:2 Now the names of the twelve apostles are these; The first, Simon, who is called Peter, and Andrew his brother; James the son of Zebedee, and John his brother;(KJV-1611) Mat 10:2 Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.(Creole-HT) ======= Matthew 10:3 ============ Mat 10:3 Philip, and Bartholomew; Thomas, and Matthew the publican; James the son of Alphaeus, and Lebbaeus, whose surname was Thaddaeus;(KJV-1611) Mat 10:3 Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade.(Creole-HT) ======= Matthew 10:4 ============ Mat 10:4 Simon the Canaanite, and Judas Iscariot, who also betrayed him.(KJV-1611) Mat 10:4 Te gen Simon, patriyòt la ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi l' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:5 ============ Mat 10:5 These twelve Jesus sent forth, and commanded them, saying, Go not into the way of the Gentiles, and into any city of the Samaritans enter ye not:(KJV-1611) Mat 10:5 Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: Piga n' ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:6 ============ Mat 10:6 But go rather to the lost sheep of the house of Israel.(KJV-1611) Mat 10:6 Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi.(Creole-HT) ======= Matthew 10:7 ============ Mat 10:7 And as ye go, preach, saying, The kingdom of heaven is at hand.(KJV-1611) Mat 10:7 Sou tout wout nou, bay mesaj sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive.(Creole-HT) ======= Matthew 10:8 ============ Mat 10:8 Heal the sick, cleanse the lepers, raise the dead, cast out devils: freely ye have received, freely give.(KJV-1611) Mat 10:8 Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.(Creole-HT) ======= Matthew 10:9 ============ Mat 10:9 Provide neither gold, nor silver, nor brass in your purses,(KJV-1611) Mat 10:9 Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:10 ============ Mat 10:10 Nor scrip for your journey, neither two coats, neither shoes, nor yet staves: for the workman is worthy of his meat.(KJV-1611) Mat 10:10 Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje.(Creole-HT) ======= Matthew 10:11 ============ Mat 10:11 And into whatsoever city or town ye shall enter, enquire who in it is worthy; and there abide till ye go thence.(KJV-1611) Mat 10:11 Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati.(Creole-HT) ======= Matthew 10:12 ============ Mat 10:12 And when ye come into an house, salute it.(KJV-1611) Mat 10:12 Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la.(Creole-HT) ======= Matthew 10:13 ============ Mat 10:13 And if the house be worthy, let your peace come upon it: but if it be not worthy, let your peace return to you.(KJV-1611) Mat 10:13 Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:14 ============ Mat 10:14 And whosoever shall not receive you, nor hear your words, when ye depart out of that house or city, shake off the dust of your feet.(KJV-1611) Mat 10:14 Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:15 ============ Mat 10:15 Verily I say unto you, It shall be more tolerable for the land of Sodom and Gomorrha in the day of judgment, than for that city.(KJV-1611) Mat 10:15 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap peni moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.(Creole-HT) ======= Matthew 10:16 ============ Mat 10:16 Behold, I send you forth as sheep in the midst of wolves: be ye therefore wise as serpents, and harmless as doves.(KJV-1611) Mat 10:16 Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.(Creole-HT) ======= Matthew 10:17 ============ Mat 10:17 But beware of men: for they will deliver you up to the councils, and they will scourge you in their synagogues;(KJV-1611) Mat 10:17 Pran prekosyon nou ak tout moun; paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:18 ============ Mat 10:18 And ye shall be brought before governors and kings for my sake, for a testimony against them and the Gentiles.(KJV-1611) Mat 10:18 y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:19 ============ Mat 10:19 But when they deliver you up, take no thought how or what ye shall speak: for it shall be given you in that same hour what ye shall speak.(KJV-1611) Mat 10:19 Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di.(Creole-HT) ======= Matthew 10:20 ============ Mat 10:20 For it is not ye that speak, but the Spirit of your Father which speaketh in you.(KJV-1611) Mat 10:20 Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:21 ============ Mat 10:21 And the brother shall deliver up the brother to death, and the father the child: and the children shall rise up against their parents, and cause them to be put to death.(KJV-1611) Mat 10:21 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:22 ============ Mat 10:22 And ye shall be hated of all men for my name's sake: but he that endureth to the end shall be saved.(KJV-1611) Mat 10:22 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.(Creole-HT) ======= Matthew 10:23 ============ Mat 10:23 But when they persecute you in this city, flee ye into another: for verily I say unto you, Ye shall not have gone over the cities of Israel, till the Son of man be come.(KJV-1611) Mat 10:23 Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 10:24 ============ Mat 10:24 The disciple is not above his master, nor the servant above his lord.(KJV-1611) Mat 10:24 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li.(Creole-HT) ======= Matthew 10:25 ============ Mat 10:25 It is enough for the disciple that he be as his master, and the servant as his lord. If they have called the master of the house Beelzebub, how much more shall they call them of his household?(KJV-1611) Mat 10:25 Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!(Creole-HT) ======= Matthew 10:26 ============ Mat 10:26 Fear them not therefore: for there is nothing covered, that shall not be revealed; and hid, that shall not be known.(KJV-1611) Mat 10:26 Se sak fè nou pa bezwen pè pesonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale.(Creole-HT) ======= Matthew 10:27 ============ Mat 10:27 What I tell you in darkness, that speak ye in light: and what ye hear in the ear, that preach ye upon the housetops.(KJV-1611) Mat 10:27 Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l' gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:28 ============ Mat 10:28 And fear not them which kill the body, but are not able to kill the soul: but rather fear him which is able to destroy both soul and body in hell.(KJV-1611) Mat 10:28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.(Creole-HT) ======= Matthew 10:29 ============ Mat 10:29 Are not two sparrows sold for a farthing? and one of them shall not fall on the ground without your Father.(KJV-1611) Mat 10:29 Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen.(Creole-HT) ======= Matthew 10:30 ============ Mat 10:30 But the very hairs of your head are all numbered.(KJV-1611) Mat 10:30 Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.(Creole-HT) ======= Matthew 10:31 ============ Mat 10:31 Fear ye not therefore, ye are of more value than many sparrows.(KJV-1611) Mat 10:31 Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:32 ============ Mat 10:32 Whosoever therefore shall confess me before men, him will I confess also before my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 10:32 Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 10:33 ============ Mat 10:33 But whosoever shall deny me before men, him will I also deny before my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 10:33 Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.(Creole-HT) ======= Matthew 10:34 ============ Mat 10:34 Think not that I am come to send peace on earth: I came not to send peace, but a sword.(KJV-1611) Mat 10:34 Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon.(Creole-HT) ======= Matthew 10:35 ============ Mat 10:35 For I am come to set a man at variance against his father, and the daughter against her mother, and the daughter in law against her mother in law.(KJV-1611) Mat 10:35 Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo.(Creole-HT) ======= Matthew 10:36 ============ Mat 10:36 And a man's foes shall be they of his own household.(KJV-1611) Mat 10:36 Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:37 ============ Mat 10:37 He that loveth father or mother more than me is not worthy of me: and he that loveth son or daughter more than me is not worthy of me.(KJV-1611) Mat 10:37 Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.(Creole-HT) ======= Matthew 10:38 ============ Mat 10:38 And he that taketh not his cross, and followeth after me, is not worthy of me.(KJV-1611) Mat 10:38 Moun ki pa pran kwa l' pou l' swiv mwen, li pa kapab moun pa m' non plis.(Creole-HT) ======= Matthew 10:39 ============ Mat 10:39 He that findeth his life shall lose it: and he that loseth his life for my sake shall find it.(KJV-1611) Mat 10:39 Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 10:40 ============ Mat 10:40 He that receiveth you receiveth me, and he that receiveth me receiveth him that sent me.(KJV-1611) Mat 10:40 Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.(Creole-HT) ======= Matthew 10:41 ============ Mat 10:41 He that receiveth a prophet in the name of a prophet shall receive a prophet's reward; and he that receiveth a righteous man in the name of a righteous man shall receive a righteous man's reward.(KJV-1611) Mat 10:41 Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.(Creole-HT) ======= Matthew 10:42 ============ Mat 10:42 And whosoever shall give to drink unto one of these little ones a cup of cold water only in the name of a disciple, verily I say unto you, he shall in no wise lose his reward.(KJV-1611) Mat 10:42 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.(Creole-HT) ======= Matthew 11:1 ============ Mat 11:1 And it came to pass, when Jesus had made an end of commanding his twelve disciples, he departed thence to teach and to preach in their cities.(KJV-1611) Mat 11:1 Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, li ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Matthew 11:2 ============ Mat 11:2 Now when John had heard in the prison the works of Christ, he sent two of his disciples,(KJV-1611) Mat 11:2 Antan Jan Batis te nan prizon, li tande pale travay Kris la t'ap fè. Li voye kèk patizan pa l' ale mande Jezi:(Creole-HT) ======= Matthew 11:3 ============ Mat 11:3 And said unto him, Art thou he that should come, or do we look for another?(KJV-1611) Mat 11:3 Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?(Creole-HT) ======= Matthew 11:4 ============ Mat 11:4 Jesus answered and said unto them, Go and shew John again those things which ye do hear and see:(KJV-1611) Mat 11:4 Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè:(Creole-HT) ======= Matthew 11:5 ============ Mat 11:5 The blind receive their sight, and the lame walk, the lepers are cleansed, and the deaf hear, the dead are raised up, and the poor have the gospel preached to them.(KJV-1611) Mat 11:5 Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 11:6 ============ Mat 11:6 And blessed is he, whosoever shall not be offended in me.(KJV-1611) Mat 11:6 Benediksyon pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Matthew 11:7 ============ Mat 11:7 And as they departed, Jesus began to say unto the multitudes concerning John, What went ye out into the wilderness to see? A reed shaken with the wind?(KJV-1611) Mat 11:7 Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.(Creole-HT) ======= Matthew 11:8 ============ Mat 11:8 But what went ye out for to see? A man clothed in soft raiment? behold, they that wear soft clothing are in kings' houses.(KJV-1611) Mat 11:8 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo.(Creole-HT) ======= Matthew 11:9 ============ Mat 11:9 But what went ye out for to see? A prophet? yea, I say unto you, and more than a prophet.(KJV-1611) Mat 11:9 Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.(Creole-HT) ======= Matthew 11:10 ============ Mat 11:10 For this is he, of whom it is written, Behold, I send my messenger before thy face, which shall prepare thy way before thee.(KJV-1611) Mat 11:10 Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou.(Creole-HT) ======= Matthew 11:11 ============ Mat 11:11 Verily I say unto you, Among them that are born of women there hath not risen a greater than John the Baptist: notwithstanding he that is least in the kingdom of heaven is greater than he.(KJV-1611) Mat 11:11 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l'.(Creole-HT) ======= Matthew 11:12 ============ Mat 11:12 And from the days of John the Baptist until now the kingdom of heaven suffereth violence, and the violent take it by force.(KJV-1611) Mat 11:12 Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.(Creole-HT) ======= Matthew 11:13 ============ Mat 11:13 For all the prophets and the law prophesied until John.(KJV-1611) Mat 11:13 Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a.(Creole-HT) ======= Matthew 11:14 ============ Mat 11:14 And if ye will receive it, this is Elias, which was for to come.(KJV-1611) Mat 11:14 Si nou vle kwè l': Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Matthew 11:15 ============ Mat 11:15 He that hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mat 11:15 Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.(Creole-HT) ======= Matthew 11:16 ============ Mat 11:16 But whereunto shall I liken this generation? It is like unto children sitting in the markets, and calling unto their fellows,(KJV-1611) Mat 11:16 Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l' konsa:(Creole-HT) ======= Matthew 11:17 ============ Mat 11:17 And saying, We have piped unto you, and ye have not danced; we have mourned unto you, and ye have not lamented.(KJV-1611) Mat 11:17 Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.(Creole-HT) ======= Matthew 11:18 ============ Mat 11:18 For John came neither eating nor drinking, and they say, He hath a devil.(KJV-1611) Mat 11:18 Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 11:19 ============ Mat 11:19 The Son of man came eating and drinking, and they say, Behold a man gluttonous, and a winebibber, a friend of publicans and sinners. But wisdom is justified of her children.(KJV-1611) Mat 11:19 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.(Creole-HT) ======= Matthew 11:20 ============ Mat 11:20 Then began he to upbraid the cities wherein most of his mighty works were done, because they repented not:(KJV-1611) Mat 11:20 Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l' te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pa t' tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 11:21 ============ Mat 11:21 Woe unto thee, Chorazin! woe unto thee, Bethsaida! for if the mighty works, which were done in you, had been done in Tyre and Sidon, they would have repented long ago in sackcloth and ashes.(KJV-1611) Mat 11:21 Li di yo: Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 11:22 ============ Mat 11:22 But I say unto you, It shall be more tolerable for Tyre and Sidon at the day of judgment, than for you.(KJV-1611) Mat 11:22 Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo.(Creole-HT) ======= Matthew 11:23 ============ Mat 11:23 And thou, Capernaum, which art exalted unto heaven, shalt be brought down to hell: for if the mighty works, which have been done in thee, had been done in Sodom, it would have remained until this day.(KJV-1611) Mat 11:23 Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Matthew 11:24 ============ Mat 11:24 But I say unto you, That it shall be more tolerable for the land of Sodom in the day of judgment, than for thee.(KJV-1611) Mat 11:24 Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.(Creole-HT) ======= Matthew 11:25 ============ Mat 11:25 At that time Jesus answered and said, I thank thee, O Father, Lord of heaven and earth, because thou hast hid these things from the wise and prudent, and hast revealed them unto babes.(KJV-1611) Mat 11:25 Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.(Creole-HT) ======= Matthew 11:26 ============ Mat 11:26 Even so, Father: for so it seemed good in thy sight.(KJV-1611) Mat 11:26 Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.(Creole-HT) ======= Matthew 11:27 ============ Mat 11:27 All things are delivered unto me of my Father: and no man knoweth the Son, but the Father; neither knoweth any man the Father, save the Son, and he to whomsoever the Son will reveal him.(KJV-1611) Mat 11:27 Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.(Creole-HT) ======= Matthew 11:28 ============ Mat 11:28 Come unto me, all ye that labour and are heavy laden, and I will give you rest.(KJV-1611) Mat 11:28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.(Creole-HT) ======= Matthew 11:29 ============ Mat 11:29 Take my yoke upon you, and learn of me; for I am meek and lowly in heart: and ye shall find rest unto your souls.(KJV-1611) Mat 11:29 Pran jouk mwen, mete l' sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Matthew 11:30 ============ Mat 11:30 For my yoke is easy, and my burden is light.(KJV-1611) Mat 11:30 Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.(Creole-HT) ======= Matthew 12:1 ============ Mat 12:1 At that time Jesus went on the sabbath day through the corn; and his disciples were an hungred, and began to pluck the ears of corn and to eat.(KJV-1611) Mat 12:1 Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t'ap manje grenn yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:2 ============ Mat 12:2 But when the Pharisees saw it, they said unto him, Behold, thy disciples do that which is not lawful to do upon the sabbath day.(KJV-1611) Mat 12:2 Lè farizyen yo wè sa, yo di l' konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:3 ============ Mat 12:3 But he said unto them, Have ye not read what David did, when he was an hungred, and they that were with him;(KJV-1611) Mat 12:3 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l' yo?(Creole-HT) ======= Matthew 12:4 ============ Mat 12:4 How he entered into the house of God, and did eat the shewbread, which was not lawful for him to eat, neither for them which were with him, but only for the priests?(KJV-1611) Mat 12:4 Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l' yo pa t' gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 12:5 ============ Mat 12:5 Or have ye not read in the law, how that on the sabbath days the priests in the temple profane the sabbath, and are blameless?(KJV-1611) Mat 12:5 Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa?(Creole-HT) ======= Matthew 12:6 ============ Mat 12:6 But I say unto you, That in this place is one greater than the temple.(KJV-1611) Mat 12:6 Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan.(Creole-HT) ======= Matthew 12:7 ============ Mat 12:7 But if ye had known what this meaneth, I will have mercy, and not sacrifice, ye would not have condemned the guiltless.(KJV-1611) Mat 12:7 Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan.(Creole-HT) ======= Matthew 12:8 ============ Mat 12:8 For the Son of man is Lord even of the sabbath day.(KJV-1611) Mat 12:8 Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye.(Creole-HT) ======= Matthew 12:9 ============ Mat 12:9 And when he was departed thence, he went into their synagogue:(KJV-1611) Mat 12:9 Jezi kite kote l' te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:10 ============ Mat 12:10 And, behold, there was a man which had his hand withered. And they asked him, saying, Is it lawful to heal on the sabbath days? that they might accuse him.(KJV-1611) Mat 12:10 Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l': Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo?(Creole-HT) ======= Matthew 12:11 ============ Mat 12:11 And he said unto them, What man shall there be among you, that shall have one sheep, and if it fall into a pit on the sabbath day, will he not lay hold on it, and lift it out?(KJV-1611) Mat 12:11 Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p'ap rale l' mete deyò?(Creole-HT) ======= Matthew 12:12 ============ Mat 12:12 How much then is a man better than a sheep? Wherefore it is lawful to do well on the sabbath days.(KJV-1611) Mat 12:12 Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:13 ============ Mat 12:13 Then saith he to the man, Stretch forth thine hand. And he stretched it forth; and it was restored whole, like as the other.(KJV-1611) Mat 12:13 Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la.(Creole-HT) ======= Matthew 12:14 ============ Mat 12:14 Then the Pharisees went out, and held a council against him, how they might destroy him.(KJV-1611) Mat 12:14 Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 12:15 ============ Mat 12:15 But when Jesus knew it, he withdrew himself from thence: and great multitudes followed him, and he healed them all;(KJV-1611) Mat 12:15 Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l' te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:16 ============ Mat 12:16 And charged them that they should not make him known:(KJV-1611) Mat 12:16 Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.(Creole-HT) ======= Matthew 12:17 ============ Mat 12:17 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying,(KJV-1611) Mat 12:17 Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre:(Creole-HT) ======= Matthew 12:18 ============ Mat 12:18 Behold my servant, whom I have chosen; my beloved, in whom my soul is well pleased: I will put my spirit upon him, and he shall shew judgment to the Gentiles.(KJV-1611) Mat 12:18 Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m' lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. m'a mete Lespri m' sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 12:19 ============ Mat 12:19 He shall not strive, nor cry; neither shall any man hear his voice in the streets.(KJV-1611) Mat 12:19 Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari.(Creole-HT) ======= Matthew 12:20 ============ Mat 12:20 A bruised reed shall he not break, and smoking flax shall he not quench, till he send forth judgment unto victory.(KJV-1611) Mat 12:20 Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.(Creole-HT) ======= Matthew 12:21 ============ Mat 12:21 And in his name shall the Gentiles trust.(KJV-1611) Mat 12:21 Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.(Creole-HT) ======= Matthew 12:22 ============ Mat 12:22 Then was brought unto him one possessed with a devil, blind, and dumb: and he healed him, insomuch that the blind and dumb both spake and saw.(KJV-1611) Mat 12:22 Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t' ka wè, li pa t' ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè.(Creole-HT) ======= Matthew 12:23 ============ Mat 12:23 And all the people were amazed, and said, Is not this the son of David?(KJV-1611) Mat 12:23 Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa?(Creole-HT) ======= Matthew 12:24 ============ Mat 12:24 But when the Pharisees heard it, they said, This fellow doth not cast out devils, but by Beelzebub the prince of the devils.(KJV-1611) Mat 12:24 Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa.(Creole-HT) ======= Matthew 12:25 ============ Mat 12:25 And Jesus knew their thoughts, and said unto them, Every kingdom divided against itself is brought to desolation; and every city or house divided against itself shall not stand:(KJV-1611) Mat 12:25 Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Matthew 12:26 ============ Mat 12:26 And if Satan cast out Satan, he is divided against himself; how shall then his kingdom stand?(KJV-1611) Mat 12:26 Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Matthew 12:27 ============ Mat 12:27 And if I by Beelzebub cast out devils, by whom do your children cast them out? therefore they shall be your judges.(KJV-1611) Mat 12:27 Si se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò.(Creole-HT) ======= Matthew 12:28 ============ Mat 12:28 But if I cast out devils by the Spirit of God, then the kingdom of God is come unto you.(KJV-1611) Mat 12:28 Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 12:29 ============ Mat 12:29 Or else how can one enter into a strong man's house, and spoil his goods, except he first bind the strong man? and then he will spoil his house.(KJV-1611) Mat 12:29 Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l' yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', se atò la kapab piye kay la.(Creole-HT) ======= Matthew 12:30 ============ Mat 12:30 He that is not with me is against me; and he that gathereth not with me scattereth abroad.(KJV-1611) Mat 12:30 Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.(Creole-HT) ======= Matthew 12:31 ============ Mat 12:31 Wherefore I say unto you, All manner of sin and blasphemy shall be forgiven unto men: but the blasphemy against the Holy Ghost shall not be forgiven unto men.(KJV-1611) Mat 12:31 Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:32 ============ Mat 12:32 And whosoever speaketh a word against the Son of man, it shall be forgiven him: but whosoever speaketh against the Holy Ghost, it shall not be forgiven him, neither in this world, neither in the world to come.(KJV-1611) Mat 12:32 Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l'. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k'ap vini apre sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 12:33 ============ Mat 12:33 Either make the tree good, and his fruit good; or else make the tree corrupt, and his fruit corrupt: for the tree is known by his fruit.(KJV-1611) Mat 12:33 Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.(Creole-HT) ======= Matthew 12:34 ============ Mat 12:34 O generation of vipers, how can ye, being evil, speak good things? for out of the abundance of the heart the mouth speaketh.(KJV-1611) Mat 12:34 Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Matthew 12:35 ============ Mat 12:35 A good man out of the good treasure of the heart bringeth forth good things: and an evil man out of the evil treasure bringeth forth evil things.(KJV-1611) Mat 12:35 Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:36 ============ Mat 12:36 But I say unto you, That every idle word that men shall speak, they shall give account thereof in the day of judgment.(KJV-1611) Mat 12:36 M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t' bezwen di.(Creole-HT) ======= Matthew 12:37 ============ Mat 12:37 For by thy words thou shalt be justified, and by thy words thou shalt be condemned.(KJV-1611) Mat 12:37 Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.(Creole-HT) ======= Matthew 12:38 ============ Mat 12:38 Then certain of the scribes and of the Pharisees answered, saying, Master, we would see a sign from thee.(KJV-1611) Mat 12:38 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 12:39 ============ Mat 12:39 But he answered and said unto them, An evil and adulterous generation seeketh after a sign; and there shall no sign be given to it, but the sign of the prophet Jonas:(KJV-1611) Mat 12:39 Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la.(Creole-HT) ======= Matthew 12:40 ============ Mat 12:40 For as Jonas was three days and three nights in the whale's belly; so shall the Son of man be three days and three nights in the heart of the earth.(KJV-1611) Mat 12:40 Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.(Creole-HT) ======= Matthew 12:41 ============ Mat 12:41 The men of Nineveh shall rise in judgment with this generation, and shall condemn it: because they repented at the preaching of Jonas; and, behold, a greater than Jonas is here.(KJV-1611) Mat 12:41 Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.(Creole-HT) ======= Matthew 12:42 ============ Mat 12:42 The queen of the south shall rise up in the judgment with this generation, and shall condemn it: for she came from the uttermost parts of the earth to hear the wisdom of Solomon; and, behold, a greater than Solomon is here.(KJV-1611) Mat 12:42 Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.(Creole-HT) ======= Matthew 12:43 ============ Mat 12:43 When the unclean spirit is gone out of a man, he walketh through dry places, seeking rest, and findeth none.(KJV-1611) Mat 12:43 Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn.(Creole-HT) ======= Matthew 12:44 ============ Mat 12:44 Then he saith, I will return into my house from whence I came out; and when he is come, he findeth it empty, swept, and garnished.(KJV-1611) Mat 12:44 Lè sa a, li di nan kè l': M'ap tounen lakay mwen, kote m' soti a. Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje.(Creole-HT) ======= Matthew 12:45 ============ Mat 12:45 Then goeth he, and taketh with himself seven other spirits more wicked than himself, and they enter in and dwell there: and the last state of that man is worse than the first. Even so shall it be also unto this wicked generation.(KJV-1611) Mat 12:45 Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l', lespri yo vin ansanm avè l', yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:46 ============ Mat 12:46 While he yet talked to the people, behold, his mother and his brethren stood without, desiring to speak with him.(KJV-1611) Mat 12:46 Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.(Creole-HT) ======= Matthew 12:47 ============ Mat 12:47 Then one said unto him, Behold, thy mother and thy brethren stand without, desiring to speak with thee.(KJV-1611) Mat 12:47 Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.(Creole-HT) ======= Matthew 12:48 ============ Mat 12:48 But he answered and said unto him that told him, Who is my mother? and who are my brethren?(KJV-1611) Mat 12:48 Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'? Kilès ki frè m'?(Creole-HT) ======= Matthew 12:49 ============ Mat 12:49 And he stretched forth his hand toward his disciples, and said, Behold my mother and my brethren!(KJV-1611) Mat 12:49 Lè sa a, li lonje men l' sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m' ak frè m' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 12:50 ============ Mat 12:50 For whosoever shall do the will of my Father which is in heaven, the same is my brother, and sister, and mother.(KJV-1611) Mat 12:50 Tout moun ki fè sa Papa m' ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman m'.(Creole-HT) ======= Matthew 13:1 ============ Mat 13:1 The same day went Jesus out of the house, and sat by the sea side.(KJV-1611) Mat 13:1 Menm jou sa a, Jezi soti nan kay la, li al chita bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:2 ============ Mat 13:2 And great multitudes were gathered together unto him, so that he went into a ship, and sat; and the whole multitude stood on the shore.(KJV-1611) Mat 13:2 Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la.(Creole-HT) ======= Matthew 13:3 ============ Mat 13:3 And he spake many things unto them in parables, saying, Behold, a sower went forth to sow;(KJV-1611) Mat 13:3 Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: Ala, yon moun soti pou l' ale simen grenn nan jaden l'.(Creole-HT) ======= Matthew 13:4 ============ Mat 13:4 And when he sowed, some seeds fell by the way side, and the fowls came and devoured them up:(KJV-1611) Mat 13:4 Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:5 ============ Mat 13:5 Some fell upon stony places, where they had not much earth: and forthwith they sprung up, because they had no deepness of earth:(KJV-1611) Mat 13:5 Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:6 ============ Mat 13:6 And when the sun was up, they were scorched; and because they had no root, they withered away.(KJV-1611) Mat 13:6 Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasen yo pa t' fon.(Creole-HT) ======= Matthew 13:7 ============ Mat 13:7 And some fell among thorns; and the thorns sprung up, and choked them:(KJV-1611) Mat 13:7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:8 ============ Mat 13:8 But other fell into good ground, and brought forth fruit, some an hundredfold, some sixtyfold, some thirtyfold.(KJV-1611) Mat 13:8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Gen en ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.(Creole-HT) ======= Matthew 13:9 ============ Mat 13:9 Who hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mat 13:9 Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.(Creole-HT) ======= Matthew 13:10 ============ Mat 13:10 And the disciples came, and said unto him, Why speakest thou unto them in parables?(KJV-1611) Mat 13:10 Disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande li: Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo?(Creole-HT) ======= Matthew 13:11 ============ Mat 13:11 He answered and said unto them, Because it is given unto you to know the mysteries of the kingdom of heaven, but to them it is not given.(KJV-1611) Mat 13:11 Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:12 ============ Mat 13:12 For whosoever hath, to him shall be given, and he shall have more abundance: but whosoever hath not, from him shall be taken away even that he hath.(KJV-1611) Mat 13:12 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, la gen plis pase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' nimm ti sa l' te genyen an.(Creole-HT) ======= Matthew 13:13 ============ Mat 13:13 Therefore speak I to them in parables: because they seeing see not; and hearing they hear not, neither do they understand.(KJV-1611) Mat 13:13 Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun sa yo. Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann.(Creole-HT) ======= Matthew 13:14 ============ Mat 13:14 And in them is fulfilled the prophecy of Esaias, which saith, By hearing ye shall hear, and shall not understand; and seeing ye shall see, and shall not perceive:(KJV-1611) Mat 13:14 Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè.(Creole-HT) ======= Matthew 13:15 ============ Mat 13:15 For this people's heart is waxed gross, and their ears are dull of hearing, and their eyes they have closed; lest at any time they should see with their eyes and hear with their ears, and should understand with their heart, and should be converted, and I should heal them.(KJV-1611) Mat 13:15 Paske, lespri pèp sa a vin lou. Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye ki pale konsa.(Creole-HT) ======= Matthew 13:16 ============ Mat 13:16 But blessed are your eyes, for they see: and your ears, for they hear.(KJV-1611) Mat 13:16 Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou.(Creole-HT) ======= Matthew 13:17 ============ Mat 13:17 For verily I say unto you, That many prophets and righteous men have desired to see those things which ye see, and have not seen them; and to hear those things which ye hear, and have not heard them.(KJV-1611) Mat 13:17 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.(Creole-HT) ======= Matthew 13:18 ============ Mat 13:18 Hear ye therefore the parable of the sower.(KJV-1611) Mat 13:18 Koulye a, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di.(Creole-HT) ======= Matthew 13:19 ============ Mat 13:19 When any one heareth the word of the kingdom, and understandeth it not, then cometh the wicked one, and catcheth away that which was sown in his heart. This is he which received seed by the way side.(KJV-1611) Mat 13:19 Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:20 ============ Mat 13:20 But he that received the seed into stony places, the same is he that heareth the word, and anon with joy receiveth it;(KJV-1611) Mat 13:20 Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Matthew 13:21 ============ Mat 13:21 Yet hath he not root in himself, but dureth for a while: for when tribulation or persecution ariseth because of the word, by and by he is offended.(KJV-1611) Mat 13:21 Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Matthew 13:22 ============ Mat 13:22 He also that received seed among the thorns is he that heareth the word; and the care of this world, and the deceitfulness of riches, choke the word, and he becometh unfruitful.(KJV-1611) Mat 13:22 Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.(Creole-HT) ======= Matthew 13:23 ============ Mat 13:23 But he that received seed into the good ground is he that heareth the word, and understandeth it; which also beareth fruit, and bringeth forth, some an hundredfold, some sixty, some thirty.(KJV-1611) Mat 13:23 Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.(Creole-HT) ======= Matthew 13:24 ============ Mat 13:24 Another parable put he forth unto them, saying, The kingdom of heaven is likened unto a man which sowed good seed in his field:(KJV-1611) Mat 13:24 Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.(Creole-HT) ======= Matthew 13:25 ============ Mat 13:25 But while men slept, his enemy came and sowed tares among the wheat, and went his way.(KJV-1611) Mat 13:25 Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale.(Creole-HT) ======= Matthew 13:26 ============ Mat 13:26 But when the blade was sprung up, and brought forth fruit, then appeared the tares also.(KJV-1611) Mat 13:26 Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou.(Creole-HT) ======= Matthew 13:27 ============ Mat 13:27 So the servants of the householder came and said unto him, Sir, didst not thou sow good seed in thy field? from whence then hath it tares?(KJV-1611) Mat 13:27 Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti?(Creole-HT) ======= Matthew 13:28 ============ Mat 13:28 He said unto them, An enemy hath done this. The servants said unto him, Wilt thou then that we go and gather them up?(KJV-1611) Mat 13:28 Li reponn yo: Se yon lènmi m' ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n' al rache move zèb yo?(Creole-HT) ======= Matthew 13:29 ============ Mat 13:29 But he said, Nay; lest while ye gather up the tares, ye root up also the wheat with them.(KJV-1611) Mat 13:29 Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou.(Creole-HT) ======= Matthew 13:30 ============ Mat 13:30 Let both grow together until the harvest: and in the time of harvest I will say to the reapers, Gather ye together first the tares, and bind them in bundles to burn them: but gather the wheat into my barn.(KJV-1611) Mat 13:30 Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n' al boule. Mayi a menm, mete l' nan galata mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 13:31 ============ Mat 13:31 Another parable put he forth unto them, saying, The kingdom of heaven is like to a grain of mustard seed, which a man took, and sowed in his field:(KJV-1611) Mat 13:31 Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li.(Creole-HT) ======= Matthew 13:32 ============ Mat 13:32 Which indeed is the least of all seeds: but when it is grown, it is the greatest among herbs, and becometh a tree, so that the birds of the air come and lodge in the branches thereof.(KJV-1611) Mat 13:32 Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l' pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:33 ============ Mat 13:33 Another parable spake he unto them; The kingdom of heaven is like unto leaven, which a woman took, and hid in three measures of meal, till the whole was leavened.(KJV-1611) Mat 13:33 Li di yo yon lòt parabòl ankò: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pa t' la leve.(Creole-HT) ======= Matthew 13:34 ============ Mat 13:34 All these things spake Jesus unto the multitude in parables; and without a parable spake he not unto them:(KJV-1611) Mat 13:34 Se avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl.(Creole-HT) ======= Matthew 13:35 ============ Mat 13:35 That it might be fulfilled which was spoken by the prophet, saying, I will open my mouth in parables; I will utter things which have been kept secret from the foundation of the world.(KJV-1611) Mat 13:35 Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Se an parabòl m'ap pale ak yo. m'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.(Creole-HT) ======= Matthew 13:36 ============ Mat 13:36 Then Jesus sent the multitude away, and went into the house: and his disciples came unto him, saying, Declare unto us the parable of the tares of the field.(KJV-1611) Mat 13:36 Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.(Creole-HT) ======= Matthew 13:37 ============ Mat 13:37 He answered and said unto them, He that soweth the good seed is the Son of man;(KJV-1611) Mat 13:37 Li reponn yo: Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:38 ============ Mat 13:38 The field is the world; the good seed are the children of the kingdom; but the tares are the children of the wicked one;(KJV-1611) Mat 13:38 Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan.(Creole-HT) ======= Matthew 13:39 ============ Mat 13:39 The enemy that sowed them is the devil; the harvest is the end of the world; and the reapers are the angels.(KJV-1611) Mat 13:39 Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:40 ============ Mat 13:40 As therefore the tares are gathered and burned in the fire; so shall it be in the end of this world.(KJV-1611) Mat 13:40 Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.(Creole-HT) ======= Matthew 13:41 ============ Mat 13:41 The Son of man shall send forth his angels, and they shall gather out of his kingdom all things that offend, and them which do iniquity;(KJV-1611) Mat 13:41 Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. y'a mete yo deyò nan Peyi kote l' Wa a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:42 ============ Mat 13:42 And shall cast them into a furnace of fire: there shall be wailing and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 13:42 Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:43 ============ Mat 13:43 Then shall the righteous shine forth as the sun in the kingdom of their Father. Who hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mat 13:43 Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. Parabòl ja lajan an(Creole-HT) ======= Matthew 13:44 ============ Mat 13:44 Again, the kingdom of heaven is like unto treasure hid in a field; the which when a man hath found, he hideth, and for joy thereof goeth and selleth all that he hath, and buyeth that field.(KJV-1611) Mat 13:44 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.(Creole-HT) ======= Matthew 13:45 ============ Mat 13:45 Again, the kingdom of heaven is like unto a merchant man, seeking goodly pearls:(KJV-1611) Mat 13:45 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl.(Creole-HT) ======= Matthew 13:46 ============ Mat 13:46 Who, when he had found one pearl of great price, went and sold all that he had, and bought it.(KJV-1611) Mat 13:46 Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.(Creole-HT) ======= Matthew 13:47 ============ Mat 13:47 Again, the kingdom of heaven is like unto a net, that was cast into the sea, and gathered of every kind:(KJV-1611) Mat 13:47 Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason.(Creole-HT) ======= Matthew 13:48 ============ Mat 13:48 Which, when it was full, they drew to shore, and sat down, and gathered the good into vessels, but cast the bad away.(KJV-1611) Mat 13:48 Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l' sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 13:49 ============ Mat 13:49 So shall it be at the end of the world: the angels shall come forth, and sever the wicked from among the just,(KJV-1611) Mat 13:49 Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.(Creole-HT) ======= Matthew 13:50 ============ Mat 13:50 And shall cast them into the furnace of fire: there shall be wailing and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 13:50 y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:51 ============ Mat 13:51 Jesus saith unto them, Have ye understood all these things? They say unto him, Yea, Lord.(KJV-1611) Mat 13:51 Jezi mande disip li yo: Eske nou konprann tou sa? Yo reponn: Wi.(Creole-HT) ======= Matthew 13:52 ============ Mat 13:52 Then said he unto them, Therefore every scribe which is instructed unto the kingdom of heaven is like unto a man that is an householder, which bringeth forth out of his treasure things new and old.(KJV-1611) Mat 13:52 Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 13:53 ============ Mat 13:53 And it came to pass, that when Jesus had finished these parables, he departed thence.(KJV-1611) Mat 13:53 Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Matthew 13:54 ============ Mat 13:54 And when he was come into his own country, he taught them in their synagogue, insomuch that they were astonished, and said, Whence hath this man this wisdom, and these mighty works?(KJV-1611) Mat 13:54 li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?(Creole-HT) ======= Matthew 13:55 ============ Mat 13:55 Is not this the carpenter's son? is not his mother called Mary? and his brethren, James, and Joses, and Simon, and Judas?(KJV-1611) Mat 13:55 Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?(Creole-HT) ======= Matthew 13:56 ============ Mat 13:56 And his sisters, are they not all with us? Whence then hath this man all these things?(KJV-1611) Mat 13:56 Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo?(Creole-HT) ======= Matthew 13:57 ============ Mat 13:57 And they were offended in him. But Jesus said unto them, A prophet is not without honour, save in his own country, and in his own house.(KJV-1611) Mat 13:57 Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li.(Creole-HT) ======= Matthew 13:58 ============ Mat 13:58 And he did not many mighty works there because of their unbelief.(KJV-1611) Mat 13:58 Se konsa Jezi pa t' fè anpil mirak la, paske yo pa t' kwè nan li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:1 ============ Mat 14:1 At that time Herod the tetrarch heard of the fame of Jesus,(KJV-1611) Mat 14:1 Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 14:2 ============ Mat 14:2 And said unto his servants, This is John the Baptist; he is risen from the dead; and therefore mighty works do shew forth themselves in him.(KJV-1611) Mat 14:2 Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 14:3 ============ Mat 14:3 For Herod had laid hold on John, and bound him, and put him in prison for Herodias' sake, his brother Philip's wife.(KJV-1611) Mat 14:3 Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:4 ============ Mat 14:4 For John said unto him, It is not lawful for thee to have her.(KJV-1611) Mat 14:4 Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou.(Creole-HT) ======= Matthew 14:5 ============ Mat 14:5 And when he would have put him to death, he feared the multitude, because they counted him as a prophet.(KJV-1611) Mat 14:5 Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.(Creole-HT) ======= Matthew 14:6 ============ Mat 14:6 But when Herod's birthday was kept, the daughter of Herodias danced before them, and pleased Herod.(KJV-1611) Mat 14:6 Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 14:7 ============ Mat 14:7 Whereupon he promised with an oath to give her whatsoever she would ask.(KJV-1611) Mat 14:7 Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:8 ============ Mat 14:8 And she, being before instructed of her mother, said, Give me here John Baptist's head in a charger.(KJV-1611) Mat 14:8 Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato.(Creole-HT) ======= Matthew 14:9 ============ Mat 14:9 And the king was sorry: nevertheless for the oath's sake, and them which sat with him at meat, he commanded it to be given her.(KJV-1611) Mat 14:9 Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a.(Creole-HT) ======= Matthew 14:10 ============ Mat 14:10 And he sent, and beheaded John in the prison.(KJV-1611) Mat 14:10 Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an.(Creole-HT) ======= Matthew 14:11 ============ Mat 14:11 And his head was brought in a charger, and given to the damsel: and she brought it to her mother.(KJV-1611) Mat 14:11 Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:12 ============ Mat 14:12 And his disciples came, and took up the body, and buried it, and went and told Jesus.(KJV-1611) Mat 14:12 Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase.(Creole-HT) ======= Matthew 14:13 ============ Mat 14:13 When Jesus heard of it, he departed thence by ship into a desert place apart: and when the people had heard thereof, they followed him on foot out of the cities.(KJV-1611) Mat 14:13 Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:14 ============ Mat 14:14 And Jesus went forth, and saw a great multitude, and was moved with compassion toward them, and he healed their sick.(KJV-1611) Mat 14:14 Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.(Creole-HT) ======= Matthew 14:15 ============ Mat 14:15 And when it was evening, his disciples came to him, saying, This is a desert place, and the time is now past; send the multitude away, that they may go into the villages, and buy themselves victuals.(KJV-1611) Mat 14:15 Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.(Creole-HT) ======= Matthew 14:16 ============ Mat 14:16 But Jesus said unto them, They need not depart; give ye them to eat.(KJV-1611) Mat 14:16 Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.(Creole-HT) ======= Matthew 14:17 ============ Mat 14:17 And they say unto him, We have here but five loaves, and two fishes.(KJV-1611) Mat 14:17 Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.(Creole-HT) ======= Matthew 14:18 ============ Mat 14:18 He said, Bring them hither to me.(KJV-1611) Mat 14:18 Jezi di yo: Pote yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 14:19 ============ Mat 14:19 And he commanded the multitude to sit down on the grass, and took the five loaves, and the two fishes, and looking up to heaven, he blessed, and brake, and gave the loaves to his disciples, and the disciples to the multitude.(KJV-1611) Mat 14:19 Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.(Creole-HT) ======= Matthew 14:20 ============ Mat 14:20 And they did all eat, and were filled: and they took up of the fragments that remained twelve baskets full.(KJV-1611) Mat 14:20 Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.(Creole-HT) ======= Matthew 14:21 ============ Mat 14:21 And they that had eaten were about five thousand men, beside women and children.(KJV-1611) Mat 14:21 Te gen senkmil gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.(Creole-HT) ======= Matthew 14:22 ============ Mat 14:22 And straightway Jesus constrained his disciples to get into a ship, and to go before him unto the other side, while he sent the multitudes away.(KJV-1611) Mat 14:22 Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.(Creole-HT) ======= Matthew 14:23 ============ Mat 14:23 And when he had sent the multitudes away, he went up into a mountain apart to pray: and when the evening was come, he was there alone.(KJV-1611) Mat 14:23 Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:24 ============ Mat 14:24 But the ship was now in the midst of the sea, tossed with waves: for the wind was contrary.(KJV-1611) Mat 14:24 Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 14:25 ============ Mat 14:25 And in the fourth watch of the night Jesus went unto them, walking on the sea.(KJV-1611) Mat 14:25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.(Creole-HT) ======= Matthew 14:26 ============ Mat 14:26 And when the disciples saw him walking on the sea, they were troubled, saying, It is a spirit; and they cried out for fear.(KJV-1611) Mat 14:26 Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= Matthew 14:27 ============ Mat 14:27 But straightway Jesus spake unto them, saying, Be of good cheer; it is I; be not afraid.(KJV-1611) Mat 14:27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Matthew 14:28 ============ Mat 14:28 And Peter answered him and said, Lord, if it be thou, bid me come unto thee on the water.(KJV-1611) Mat 14:28 Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.(Creole-HT) ======= Matthew 14:29 ============ Mat 14:29 And he said, Come. And when Peter was come down out of the ship, he walked on the water, to go to Jesus.(KJV-1611) Mat 14:29 Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 14:30 ============ Mat 14:30 But when he saw the wind boisterous, he was afraid; and beginning to sink, he cried, saying, Lord, save me.(KJV-1611) Mat 14:30 Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!(Creole-HT) ======= Matthew 14:31 ============ Mat 14:31 And immediately Jesus stretched forth his hand, and caught him, and said unto him, O thou of little faith, wherefore didst thou doubt?(KJV-1611) Mat 14:31 Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?(Creole-HT) ======= Matthew 14:32 ============ Mat 14:32 And when they were come into the ship, the wind ceased.(KJV-1611) Mat 14:32 Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.(Creole-HT) ======= Matthew 14:33 ============ Mat 14:33 Then they that were in the ship came and worshipped him, saying, Of a truth thou art the Son of God.(KJV-1611) Mat 14:33 Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.(Creole-HT) ======= Matthew 14:34 ============ Mat 14:34 And when they were gone over, they came into the land of Gennesaret.(KJV-1611) Mat 14:34 Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.(Creole-HT) ======= Matthew 14:35 ============ Mat 14:35 And when the men of that place had knowledge of him, they sent out into all that country round about, and brought unto him all that were diseased;(KJV-1611) Mat 14:35 Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.(Creole-HT) ======= Matthew 14:36 ============ Mat 14:36 And besought him that they might only touch the hem of his garment: and as many as touched were made perfectly whole.(KJV-1611) Mat 14:36 Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.(Creole-HT) ======= Matthew 15:1 ============ Mat 15:1 Then came to Jesus scribes and Pharisees, which were of Jerusalem, saying,(KJV-1611) Mat 15:1 Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa soti Jerizalèm, yo vin bò kot Jezi. Yo di li:(Creole-HT) ======= Matthew 15:2 ============ Mat 15:2 Why do thy disciples transgress the tradition of the elders? for they wash not their hands when they eat bread.(KJV-1611) Mat 15:2 Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.(Creole-HT) ======= Matthew 15:3 ============ Mat 15:3 But he answered and said unto them, Why do ye also transgress the commandment of God by your tradition?(KJV-1611) Mat 15:3 Li reponn yo: Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?(Creole-HT) ======= Matthew 15:4 ============ Mat 15:4 For God commanded, saying, Honour thy father and mother: and, He that curseth father or mother, let him die the death.(KJV-1611) Mat 15:4 Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'.(Creole-HT) ======= Matthew 15:5 ============ Mat 15:5 But ye say, Whosoever shall say to his father or his mother, It is a gift, by whatsoever thou mightest be profited by me;(KJV-1611) Mat 15:5 Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye,(Creole-HT) ======= Matthew 15:6 ============ Mat 15:6 And honour not his father or his mother, he shall be free. Thus have ye made the commandment of God of none effect by your tradition.(KJV-1611) Mat 15:6 moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.(Creole-HT) ======= Matthew 15:7 ============ Mat 15:7 Ye hypocrites, well did Esaias prophesy of you, saying,(KJV-1611) Mat 15:7 Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:(Creole-HT) ======= Matthew 15:8 ============ Mat 15:8 This people draweth nigh unto me with their mouth, and honoureth me with their lips; but their heart is far from me.(KJV-1611) Mat 15:8 Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 15:9 ============ Mat 15:9 But in vain they do worship me, teaching for doctrines the commandments of men.(KJV-1611) Mat 15:9 Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.(Creole-HT) ======= Matthew 15:10 ============ Mat 15:10 And he called the multitude, and said unto them, Hear, and understand:(KJV-1611) Mat 15:10 Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa:(Creole-HT) ======= Matthew 15:11 ============ Mat 15:11 Not that which goeth into the mouth defileth a man; but that which cometh out of the mouth, this defileth a man.(KJV-1611) Mat 15:11 Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 15:12 ============ Mat 15:12 Then came his disciples, and said unto him, Knowest thou that the Pharisees were offended, after they heard this saying?(KJV-1611) Mat 15:12 Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a.(Creole-HT) ======= Matthew 15:13 ============ Mat 15:13 But he answered and said, Every plant, which my heavenly Father hath not planted, shall be rooted up.(KJV-1611) Mat 15:13 Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.(Creole-HT) ======= Matthew 15:14 ============ Mat 15:14 Let them alone: they be blind leaders of the blind. And if the blind lead the blind, both shall fall into the ditch.(KJV-1611) Mat 15:14 Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.(Creole-HT) ======= Matthew 15:15 ============ Mat 15:15 Then answered Peter and said unto him, Declare unto us this parable.(KJV-1611) Mat 15:15 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Esplike nou parabòl sa a non.(Creole-HT) ======= Matthew 15:16 ============ Mat 15:16 And Jesus said, Are ye also yet without understanding?(KJV-1611) Mat 15:16 Jezi di: Nou menm tou, nou san konprann toujou!(Creole-HT) ======= Matthew 15:17 ============ Mat 15:17 Do not ye yet understand, that whatsoever entereth in at the mouth goeth into the belly, and is cast out into the draught?(KJV-1611) Mat 15:17 Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li soti deyò.(Creole-HT) ======= Matthew 15:18 ============ Mat 15:18 But those things which proceed out of the mouth come forth from the heart; and they defile the man.(KJV-1611) Mat 15:18 Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l' sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 15:19 ============ Mat 15:19 For out of the heart proceed evil thoughts, murders, adulteries, fornications, thefts, false witness, blasphemies:(KJV-1611) Mat 15:19 Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.(Creole-HT) ======= Matthew 15:20 ============ Mat 15:20 These are the things which defile a man: but to eat with unwashen hands defileth not a man.(KJV-1611) Mat 15:20 Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men, keksyon manje san lave men, jan yo di l' la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 15:21 ============ Mat 15:21 Then Jesus went thence, and departed into the coasts of Tyre and Sidon.(KJV-1611) Mat 15:21 Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon.(Creole-HT) ======= Matthew 15:22 ============ Mat 15:22 And, behold, a woman of Canaan came out of the same coasts, and cried unto him, saying, Have mercy on me, O Lord, thou son of David; my daughter is grievously vexed with a devil.(KJV-1611) Mat 15:22 Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m' lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l' anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 15:23 ============ Mat 15:23 But he answered her not a word. And his disciples came and besought him, saying, Send her away; for she crieth after us.(KJV-1611) Mat 15:23 Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou.(Creole-HT) ======= Matthew 15:24 ============ Mat 15:24 But he answered and said, I am not sent but unto the lost sheep of the house of Israel.(KJV-1611) Mat 15:24 Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 15:25 ============ Mat 15:25 Then came she and worshipped him, saying, Lord, help me.(KJV-1611) Mat 15:25 Men, fanm lan vini, li lage kò l' nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non.(Creole-HT) ======= Matthew 15:26 ============ Mat 15:26 But he answered and said, It is not meet to take the children's bread, and to cast it to dogs.(KJV-1611) Mat 15:26 Jezi reponn li: Sa pa bon pou m' wete pen nan bouch timoun yo pou m' jete l' bay chen.(Creole-HT) ======= Matthew 15:27 ============ Mat 15:27 And she said, Truth, Lord: yet the dogs eat of the crumbs which fall from their masters' table.(KJV-1611) Mat 15:27 Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li.(Creole-HT) ======= Matthew 15:28 ============ Mat 15:28 Then Jesus answered and said unto her, O woman, great is thy faith: be it unto thee even as thou wilt. And her daughter was made whole from that very hour.(KJV-1611) Mat 15:28 Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l' la. Menm lè a, pitit fi l' la geri.(Creole-HT) ======= Matthew 15:29 ============ Mat 15:29 And Jesus departed from thence, and came nigh unto the sea of Galilee; and went up into a mountain, and sat down there.(KJV-1611) Mat 15:29 Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.(Creole-HT) ======= Matthew 15:30 ============ Mat 15:30 And great multitudes came unto him, having with them those that were lame, blind, dumb, maimed, and many others, and cast them down at Jesus' feet; and he healed them:(KJV-1611) Mat 15:30 Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.(Creole-HT) ======= Matthew 15:31 ============ Mat 15:31 Insomuch that the multitude wondered, when they saw the dumb to speak, the maimed to be whole, the lame to walk, and the blind to see: and they glorified the God of Israel.(KJV-1611) Mat 15:31 Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 15:32 ============ Mat 15:32 Then Jesus called his disciples unto him, and said, I have compassion on the multitude, because they continue with me now three days, and have nothing to eat: and I will not send them away fasting, lest they faint in the way.(KJV-1611) Mat 15:32 Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.(Creole-HT) ======= Matthew 15:33 ============ Mat 15:33 And his disciples say unto him, Whence should we have so much bread in the wilderness, as to fill so great a multitude?(KJV-1611) Mat 15:33 Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?(Creole-HT) ======= Matthew 15:34 ============ Mat 15:34 And Jesus saith unto them, How many loaves have ye? And they said, Seven, and a few little fishes.(KJV-1611) Mat 15:34 Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.(Creole-HT) ======= Matthew 15:35 ============ Mat 15:35 And he commanded the multitude to sit down on the ground.(KJV-1611) Mat 15:35 Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè.(Creole-HT) ======= Matthew 15:36 ============ Mat 15:36 And he took the seven loaves and the fishes, and gave thanks, and brake them, and gave to his disciples, and the disciples to the multitude.(KJV-1611) Mat 15:36 Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.(Creole-HT) ======= Matthew 15:37 ============ Mat 15:37 And they did all eat, and were filled: and they took up of the broken meat that was left seven baskets full.(KJV-1611) Mat 15:37 Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.(Creole-HT) ======= Matthew 15:38 ============ Mat 15:38 And they that did eat were four thousand men, beside women and children.(KJV-1611) Mat 15:38 Te gen antou katmil gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.(Creole-HT) ======= Matthew 15:39 ============ Mat 15:39 And he sent away the multitude, and took ship, and came into the coasts of Magdala.(KJV-1611) Mat 15:39 Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, li ale nan yon peyi yo rele Magadan.(Creole-HT) ======= Matthew 16:1 ============ Mat 16:1 The Pharisees also with the Sadducees came, and tempting desired him that he would shew them a sign from heaven.(KJV-1611) Mat 16:1 Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 16:2 ============ Mat 16:2 He answered and said unto them, When it is evening, ye say, It will be fair weather: for the sky is red.(KJV-1611) Mat 16:2 Jezi reponn yo: Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l'ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj.(Creole-HT) ======= Matthew 16:3 ============ Mat 16:3 And in the morning, It will be foul weather to day: for the sky is red and lowering. O ye hypocrites, ye can discern the face of the sky; but can ye not discern the signs of the times?(KJV-1611) Mat 16:3 Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?(Creole-HT) ======= Matthew 16:4 ============ Mat 16:4 A wicked and adulterous generation seeketh after a sign; and there shall no sign be given unto it, but the sign of the prophet Jonas. And he left them, and departed.(KJV-1611) Mat 16:4 Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l', li al fè wout li.(Creole-HT) ======= Matthew 16:5 ============ Mat 16:5 And when his disciples were come to the other side, they had forgotten to take bread.(KJV-1611) Mat 16:5 Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.(Creole-HT) ======= Matthew 16:6 ============ Mat 16:6 Then Jesus said unto them, Take heed and beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees.(KJV-1611) Mat 16:6 Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.(Creole-HT) ======= Matthew 16:7 ============ Mat 16:7 And they reasoned among themselves, saying, It is because we have taken no bread.(KJV-1611) Mat 16:7 Disip yo yonn t'ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.(Creole-HT) ======= Matthew 16:8 ============ Mat 16:8 Which when Jesus perceived, he said unto them, O ye of little faith, why reason ye among yourselves, because ye have brought no bread?(KJV-1611) Mat 16:8 Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!(Creole-HT) ======= Matthew 16:9 ============ Mat 16:9 Do ye not yet understand, neither remember the five loaves of the five thousand, and how many baskets ye took up?(KJV-1611) Mat 16:9 Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe senk pen bay senkmil moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?(Creole-HT) ======= Matthew 16:10 ============ Mat 16:10 Neither the seven loaves of the four thousand, and how many baskets ye took up?(KJV-1611) Mat 16:10 Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe sèt pen bay katmil moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa?(Creole-HT) ======= Matthew 16:11 ============ Mat 16:11 How is it that ye do not understand that I spake it not to you concerning bread, that ye should beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees?(KJV-1611) Mat 16:11 Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?(Creole-HT) ======= Matthew 16:12 ============ Mat 16:12 Then understood they how that he bade them not beware of the leaven of bread, but of the doctrine of the Pharisees and of the Sadducees.(KJV-1611) Mat 16:12 Se lè sa a disip yo konprann li pa t' di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.(Creole-HT) ======= Matthew 16:13 ============ Mat 16:13 When Jesus came into the coasts of Caesarea Philippi, he asked his disciples, saying, Whom do men say that I the Son of man am?(KJV-1611) Mat 16:13 Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?(Creole-HT) ======= Matthew 16:14 ============ Mat 16:14 And they said, Some say that thou art John the Baptist: some, Elias; and others, Jeremias, or one of the prophets.(KJV-1611) Mat 16:14 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Matthew 16:15 ============ Mat 16:15 He saith unto them, But whom say ye that I am?(KJV-1611) Mat 16:15 Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?(Creole-HT) ======= Matthew 16:16 ============ Mat 16:16 And Simon Peter answered and said, Thou art the Christ, the Son of the living God.(KJV-1611) Mat 16:16 Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.(Creole-HT) ======= Matthew 16:17 ============ Mat 16:17 And Jesus answered and said unto him, Blessed art thou, Simon Barjona: for flesh and blood hath not revealed it unto thee, but my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 16:17 Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.(Creole-HT) ======= Matthew 16:18 ============ Mat 16:18 And I say also unto thee, That thou art Peter, and upon this rock I will build my church; and the gates of hell shall not prevail against it.(KJV-1611) Mat 16:18 Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.(Creole-HT) ======= Matthew 16:19 ============ Mat 16:19 And I will give unto thee the keys of the kingdom of heaven: and whatsoever thou shalt bind on earth shall be bound in heaven: and whatsoever thou shalt loose on earth shall be loosed in heaven.(KJV-1611) Mat 16:19 M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.(Creole-HT) ======= Matthew 16:20 ============ Mat 16:20 Then charged he his disciples that they should tell no man that he was Jesus the Christ.(KJV-1611) Mat 16:20 Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 16:21 ============ Mat 16:21 From that time forth began Jesus to shew unto his disciples, how that he must go unto Jerusalem, and suffer many things of the elders and chief priests and scribes, and be killed, and be raised again the third day.(KJV-1611) Mat 16:21 Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Matthew 16:22 ============ Mat 16:22 Then Peter took him, and began to rebuke him, saying, Be it far from thee, Lord: this shall not be unto thee.(KJV-1611) Mat 16:22 Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.(Creole-HT) ======= Matthew 16:23 ============ Mat 16:23 But he turned, and said unto Peter, Get thee behind me, Satan: thou art an offence unto me: for thou savourest not the things that be of God, but those that be of men.(KJV-1611) Mat 16:23 Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m' tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.(Creole-HT) ======= Matthew 16:24 ============ Mat 16:24 Then said Jesus unto his disciples, If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross, and follow me.(KJV-1611) Mat 16:24 Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 16:25 ============ Mat 16:25 For whosoever will save his life shall lose it: and whosoever will lose his life for my sake shall find it.(KJV-1611) Mat 16:25 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 16:26 ============ Mat 16:26 For what is a man profited, if he shall gain the whole world, and lose his own soul? or what shall a man give in exchange for his soul?(KJV-1611) Mat 16:26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?(Creole-HT) ======= Matthew 16:27 ============ Mat 16:27 For the Son of man shall come in the glory of his Father with his angels; and then he shall reward every man according to his works.(KJV-1611) Mat 16:27 Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.(Creole-HT) ======= Matthew 16:28 ============ Mat 16:28 Verily I say unto you, There be some standing here, which shall not taste of death, till they see the Son of man coming in his kingdom.(KJV-1611) Mat 16:28 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.(Creole-HT) ======= Matthew 17:1 ============ Mat 17:1 And after six days Jesus taketh Peter, James, and John his brother, and bringeth them up into an high mountain apart,(KJV-1611) Mat 17:1 Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo.(Creole-HT) ======= Matthew 17:2 ============ Mat 17:2 And was transfigured before them: and his face did shine as the sun, and his raiment was white as the light.(KJV-1611) Mat 17:2 Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.(Creole-HT) ======= Matthew 17:3 ============ Mat 17:3 And, behold, there appeared unto them Moses and Elias talking with him.(KJV-1611) Mat 17:3 Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 17:4 ============ Mat 17:4 Then answered Peter, and said unto Jesus, Lord, it is good for us to be here: if thou wilt, let us make here three tabernacles; one for thee, and one for Moses, and one for Elias.(KJV-1611) Mat 17:4 Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.(Creole-HT) ======= Matthew 17:5 ============ Mat 17:5 While he yet spake, behold, a bright cloud overshadowed them: and behold a voice out of the cloud, which said, This is my beloved Son, in whom I am well pleased; hear ye him.(KJV-1611) Mat 17:5 Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li.(Creole-HT) ======= Matthew 17:6 ============ Mat 17:6 And when the disciples heard it, they fell on their face, and were sore afraid.(KJV-1611) Mat 17:6 Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= Matthew 17:7 ============ Mat 17:7 And Jesus came and touched them, and said, Arise, and be not afraid.(KJV-1611) Mat 17:7 Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: Leve non, nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Matthew 17:8 ============ Mat 17:8 And when they had lifted up their eyes, they saw no man, save Jesus only.(KJV-1611) Mat 17:8 Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li.(Creole-HT) ======= Matthew 17:9 ============ Mat 17:9 And as they came down from the mountain, Jesus charged them, saying, Tell the vision to no man, until the Son of man be risen again from the dead.(KJV-1611) Mat 17:9 Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Matthew 17:10 ============ Mat 17:10 And his disciples asked him, saying, Why then say the scribes that Elias must first come?(KJV-1611) Mat 17:10 Twa disip yo poze l' keksyon sa a: Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan?(Creole-HT) ======= Matthew 17:11 ============ Mat 17:11 And Jesus answered and said unto them, Elias truly shall first come, and restore all things.(KJV-1611) Mat 17:11 Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd.(Creole-HT) ======= Matthew 17:12 ============ Mat 17:12 But I say unto you, That Elias is come already, and they knew him not, but have done unto him whatsoever they listed. Likewise shall also the Son of man suffer of them.(KJV-1611) Mat 17:12 Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t' rekonèt li, yo fè l' tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= Matthew 17:13 ============ Mat 17:13 Then the disciples understood that he spake unto them of John the Baptist.(KJV-1611) Mat 17:13 Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.(Creole-HT) ======= Matthew 17:14 ============ Mat 17:14 And when they were come to the multitude, there came to him a certain man, kneeling down to him, and saying,(KJV-1611) Mat 17:14 Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di:(Creole-HT) ======= Matthew 17:15 ============ Mat 17:15 Lord, have mercy on my son: for he is lunatick, and sore vexed: for ofttimes he falleth into the fire, and oft into the water.(KJV-1611) Mat 17:15 Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo.(Creole-HT) ======= Matthew 17:16 ============ Mat 17:16 And I brought him to thy disciples, and they could not cure him.(KJV-1611) Mat 17:16 Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li.(Creole-HT) ======= Matthew 17:17 ============ Mat 17:17 Then Jesus answered and said, O faithless and perverse generation, how long shall I be with you? how long shall I suffer you? bring him hither to me.(KJV-1611) Mat 17:17 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 17:18 ============ Mat 17:18 And Jesus rebuked the devil; and he departed out of him: and the child was cured from that very hour.(KJV-1611) Mat 17:18 Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.(Creole-HT) ======= Matthew 17:19 ============ Mat 17:19 Then came the disciples to Jesus apart, and said, Why could not we cast him out?(KJV-1611) Mat 17:19 Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a?(Creole-HT) ======= Matthew 17:20 ============ Mat 17:20 And Jesus said unto them, Because of your unbelief: for verily I say unto you, If ye have faith as a grain of mustard seed, ye shall say unto this mountain, Remove hence to yonder place; and it shall remove; and nothing shall be impossible unto you.(KJV-1611) Mat 17:20 Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.(Creole-HT) ======= Matthew 17:21 ============ Mat 17:21 Howbeit this kind goeth not out but by prayer and fasting.(KJV-1611) Mat 17:21 Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti.(Creole-HT) ======= Matthew 17:22 ============ Mat 17:22 And while they abode in Galilee, Jesus said unto them, The Son of man shall be betrayed into the hands of men:(KJV-1611) Mat 17:22 Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.(Creole-HT) ======= Matthew 17:23 ============ Mat 17:23 And they shall kill him, and the third day he shall be raised again. And they were exceeding sorry.(KJV-1611) Mat 17:23 Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 17:24 ============ Mat 17:24 And when they were come to Capernaum, they that received tribute money came to Peter, and said, Doth not your master pay tribute?(KJV-1611) Mat 17:24 Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan?(Creole-HT) ======= Matthew 17:25 ============ Mat 17:25 He saith, Yes. And when he was come into the house, Jesus prevented him, saying, What thinkest thou, Simon? of whom do the kings of the earth take custom or tribute? of their own children, or of strangers?(KJV-1611) Mat 17:25 Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje?(Creole-HT) ======= Matthew 17:26 ============ Mat 17:26 Peter saith unto him, Of strangers. Jesus saith unto him, Then are the children free.(KJV-1611) Mat 17:26 Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan.(Creole-HT) ======= Matthew 17:27 ============ Mat 17:27 Notwithstanding, lest we should offend them, go thou to the sea, and cast an hook, and take up the fish that first cometh up; and when thou hast opened his mouth, thou shalt find a piece of money: that take, and give unto them for me and thee.(KJV-1611) Mat 17:27 Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.(Creole-HT) ======= Matthew 18:1 ============ Mat 18:1 At the same time came the disciples unto Jesus, saying, Who is the greatest in the kingdom of heaven?(KJV-1611) Mat 18:1 Lè sa a, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande li: Ki moun ki pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la?(Creole-HT) ======= Matthew 18:2 ============ Mat 18:2 And Jesus called a little child unto him, and set him in the midst of them,(KJV-1611) Mat 18:2 Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 18:3 ============ Mat 18:3 And said, Verily I say unto you, Except ye be converted, and become as little children, ye shall not enter into the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 18:3 Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 18:4 ============ Mat 18:4 Whosoever therefore shall humble himself as this little child, the same is greatest in the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 18:4 Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 18:5 ============ Mat 18:5 And whoso shall receive one such little child in my name receiveth me.(KJV-1611) Mat 18:5 Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.(Creole-HT) ======= Matthew 18:6 ============ Mat 18:6 But whoso shall offend one of these little ones which believe in me, it were better for him that a millstone were hanged about his neck, and that he were drowned in the depth of the sea.(KJV-1611) Mat 18:6 Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.(Creole-HT) ======= Matthew 18:7 ============ Mat 18:7 Woe unto the world because of offences! for it must needs be that offences come; but woe to that man by whom the offence cometh!(KJV-1611) Mat 18:7 Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!(Creole-HT) ======= Matthew 18:8 ============ Mat 18:8 Wherefore if thy hand or thy foot offend thee, cut them off, and cast them from thee: it is better for thee to enter into life halt or maimed, rather than having two hands or two feet to be cast into everlasting fire.(KJV-1611) Mat 18:8 Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Matthew 18:9 ============ Mat 18:9 And if thine eye offend thee, pluck it out, and cast it from thee: it is better for thee to enter into life with one eye, rather than having two eyes to be cast into hell fire.(KJV-1611) Mat 18:9 Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.(Creole-HT) ======= Matthew 18:10 ============ Mat 18:10 Take heed that ye despise not one of these little ones; for I say unto you, That in heaven their angels do always behold the face of my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 18:10 Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m' ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 18:11 ============ Mat 18:11 For the Son of man is come to save that which was lost.(KJV-1611) Mat 18:11 Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi.(Creole-HT) ======= Matthew 18:12 ============ Mat 18:12 How think ye? if a man have an hundred sheep, and one of them be gone astray, doth he not leave the ninety and nine, and goeth into the mountains, and seeketh that which is gone astray?(KJV-1611) Mat 18:12 Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou li ale chache mouton ki pèdi a?(Creole-HT) ======= Matthew 18:13 ============ Mat 18:13 And if so be that he find it, verily I say unto you, he rejoiceth more of that sheep, than of the ninety and nine which went not astray.(KJV-1611) Mat 18:13 Si l' rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevendiznèf lòt yo ki pa t' pèdi.(Creole-HT) ======= Matthew 18:14 ============ Mat 18:14 Even so it is not the will of your Father which is in heaven, that one of these little ones should perish.(KJV-1611) Mat 18:14 Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.(Creole-HT) ======= Matthew 18:15 ============ Mat 18:15 Moreover if thy brother shall trespass against thee, go and tell him his fault between thee and him alone: if he shall hear thee, thou hast gained thy brother.(KJV-1611) Mat 18:15 Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen.(Creole-HT) ======= Matthew 18:16 ============ Mat 18:16 But if he will not hear thee, then take with thee one or two more, that in the mouth of two or three witnesses every word may be established.(KJV-1611) Mat 18:16 Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.(Creole-HT) ======= Matthew 18:17 ============ Mat 18:17 And if he shall neglect to hear them, tell it unto the church: but if he neglect to hear the church, let him be unto thee as an heathen man and a publican.(KJV-1611) Mat 18:17 Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.(Creole-HT) ======= Matthew 18:18 ============ Mat 18:18 Verily I say unto you, Whatsoever ye shall bind on earth shall be bound in heaven: and whatsoever ye shall loose on earth shall be loosed in heaven.(KJV-1611) Mat 18:18 Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.(Creole-HT) ======= Matthew 18:19 ============ Mat 18:19 Again I say unto you, That if two of you shall agree on earth as touching any thing that they shall ask, it shall be done for them of my Father which is in heaven.(KJV-1611) Mat 18:19 Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li.(Creole-HT) ======= Matthew 18:20 ============ Mat 18:20 For where two or three are gathered together in my name, there am I in the midst of them.(KJV-1611) Mat 18:20 Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 18:21 ============ Mat 18:21 Then came Peter to him, and said, Lord, how oft shall my brother sin against me, and I forgive him? till seven times?(KJV-1611) Mat 18:21 Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa?(Creole-HT) ======= Matthew 18:22 ============ Mat 18:22 Jesus saith unto him, I say not unto thee, Until seven times: but, Until seventy times seven.(KJV-1611) Mat 18:22 Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa.(Creole-HT) ======= Matthew 18:23 ============ Mat 18:23 Therefore is the kingdom of heaven likened unto a certain king, which would take account of his servants.(KJV-1611) Mat 18:23 Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 18:24 ============ Mat 18:24 And when he had begun to reckon, one was brought unto him, which owed him ten thousand talents.(KJV-1611) Mat 18:24 Li te fèk kòmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l' senkantmil goud.(Creole-HT) ======= Matthew 18:25 ============ Mat 18:25 But forasmuch as he had not to pay, his lord commanded him to be sold, and his wife, and children, and all that he had, and payment to be made.(KJV-1611) Mat 18:25 Men, nonm lan pa t' gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l' te genyen, pou peye dèt la.(Creole-HT) ======= Matthew 18:26 ============ Mat 18:26 The servant therefore fell down, and worshipped him, saying, Lord, have patience with me, and I will pay thee all.(KJV-1611) Mat 18:26 Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an.(Creole-HT) ======= Matthew 18:27 ============ Mat 18:27 Then the lord of that servant was moved with compassion, and loosed him, and forgave him the debt.(KJV-1611) Mat 18:27 Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale.(Creole-HT) ======= Matthew 18:28 ============ Mat 18:28 But the same servant went out, and found one of his fellowservants, which owed him an hundred pence: and he laid hands on him, and took him by the throat, saying, Pay me that thou owest.(KJV-1611) Mat 18:28 Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan.(Creole-HT) ======= Matthew 18:29 ============ Mat 18:29 And his fellowservant fell down at his feet, and besought him, saying, Have patience with me, and I will pay thee all.(KJV-1611) Mat 18:29 Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou.(Creole-HT) ======= Matthew 18:30 ============ Mat 18:30 And he would not: but went and cast him into prison, till he should pay the debt.(KJV-1611) Mat 18:30 Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a.(Creole-HT) ======= Matthew 18:31 ============ Mat 18:31 So when his fellowservants saw what was done, they were very sorry, and came and told unto their lord all that was done.(KJV-1611) Mat 18:31 Lè lòt domestik yo wè sak te rive, sa te fè yo mal anpil. Y al rakonte mèt la sak te pase.(Creole-HT) ======= Matthew 18:32 ============ Mat 18:32 Then his lord, after that he had called him, said unto him, O thou wicked servant, I forgave thee all that debt, because thou desiredst me:(KJV-1611) Mat 18:32 Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l' konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m' fè sa pou ou.(Creole-HT) ======= Matthew 18:33 ============ Mat 18:33 Shouldest not thou also have had compassion on thy fellowservant, even as I had pity on thee?(KJV-1611) Mat 18:33 Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a.(Creole-HT) ======= Matthew 18:34 ============ Mat 18:34 And his lord was wroth, and delivered him to the tormentors, till he should pay all that was due unto him.(KJV-1611) Mat 18:34 Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a.(Creole-HT) ======= Matthew 18:35 ============ Mat 18:35 So likewise shall my heavenly Father do also unto you, if ye from your hearts forgive not every one his brother their trespasses.(KJV-1611) Mat 18:35 Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Matthew 19:1 ============ Mat 19:1 And it came to pass, that when Jesus had finished these sayings, he departed from Galilee, and came into the coasts of Judaea beyond Jordan;(KJV-1611) Mat 19:1 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Matthew 19:2 ============ Mat 19:2 And great multitudes followed him; and he healed them there.(KJV-1611) Mat 19:2 Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l' rive, li geri malad yo.(Creole-HT) ======= Matthew 19:3 ============ Mat 19:3 The Pharisees also came unto him, tempting him, and saying unto him, Is it lawful for a man to put away his wife for every cause?(KJV-1611) Mat 19:3 Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l' nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?(Creole-HT) ======= Matthew 19:4 ============ Mat 19:4 And he answered and said unto them, Have ye not read, that he which made them at the beginning made them male and female,(KJV-1611) Mat 19:4 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.(Creole-HT) ======= Matthew 19:5 ============ Mat 19:5 And said, For this cause shall a man leave father and mother, and shall cleave to his wife: and they twain shall be one flesh?(KJV-1611) Mat 19:5 Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.(Creole-HT) ======= Matthew 19:6 ============ Mat 19:6 Wherefore they are no more twain, but one flesh. What therefore God hath joined together, let not man put asunder.(KJV-1611) Mat 19:6 Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.(Creole-HT) ======= Matthew 19:7 ============ Mat 19:7 They say unto him, Why did Moses then command to give a writing of divorcement, and to put her away?(KJV-1611) Mat 19:7 Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l' kite avè li?(Creole-HT) ======= Matthew 19:8 ============ Mat 19:8 He saith unto them, Moses because of the hardness of your hearts suffered you to put away your wives: but from the beginning it was not so.(KJV-1611) Mat 19:8 Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.(Creole-HT) ======= Matthew 19:9 ============ Mat 19:9 And I say unto you, Whosoever shall put away his wife, except it be for fornication, and shall marry another, committeth adultery: and whoso marrieth her which is put away doth commit adultery.(KJV-1611) Mat 19:9 Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.(Creole-HT) ======= Matthew 19:10 ============ Mat 19:10 His disciples say unto him, If the case of the man be so with his wife, it is not good to marry.(KJV-1611) Mat 19:10 Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.(Creole-HT) ======= Matthew 19:11 ============ Mat 19:11 But he said unto them, All men cannot receive this saying, save they to whom it is given.(KJV-1611) Mat 19:11 Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.(Creole-HT) ======= Matthew 19:12 ============ Mat 19:12 For there are some eunuchs, which were so born from their mother's womb: and there are some eunuchs, which were made eunuchs of men: and there be eunuchs, which have made themselves eunuchs for the kingdom of heaven's sake. He that is able to receive it, let him receive it.(KJV-1611) Mat 19:12 Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Gen en ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l' asepte li.(Creole-HT) ======= Matthew 19:13 ============ Mat 19:13 Then were there brought unto him little children, that he should put his hands on them, and pray: and the disciples rebuked them.(KJV-1611) Mat 19:13 Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l' te mete men l' sou tèt yo, pou l' te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.(Creole-HT) ======= Matthew 19:14 ============ Mat 19:14 But Jesus said, Suffer little children, and forbid them not, to come unto me: for of such is the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 19:14 Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 19:15 ============ Mat 19:15 And he laid his hands on them, and departed thence.(KJV-1611) Mat 19:15 Li mete men l' sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Matthew 19:16 ============ Mat 19:16 And, behold, one came and said unto him, Good Master, what good thing shall I do, that I may have eternal life?(KJV-1611) Mat 19:16 Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?(Creole-HT) ======= Matthew 19:17 ============ Mat 19:17 And he said unto him, Why callest thou me good? there is none good but one, that is, God: but if thou wilt enter into life, keep the commandments.(KJV-1611) Mat 19:17 Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?(Creole-HT) ======= Matthew 19:18 ============ Mat 19:18 He saith unto him, Which? Jesus said, Thou shalt do no murder, Thou shalt not commit adultery, Thou shalt not steal, Thou shalt not bear false witness,(KJV-1611) Mat 19:18 Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.(Creole-HT) ======= Matthew 19:19 ============ Mat 19:19 Honour thy father and thy mother: and, Thou shalt love thy neighbour as thyself.(KJV-1611) Mat 19:19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Matthew 19:20 ============ Mat 19:20 The young man saith unto him, All these things have I kept from my youth up: what lack I yet?(KJV-1611) Mat 19:20 Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò?(Creole-HT) ======= Matthew 19:21 ============ Mat 19:21 Jesus said unto him, If thou wilt be perfect, go and sell that thou hast, and give to the poor, and thou shalt have treasure in heaven: and come and follow me.(KJV-1611) Mat 19:21 Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 19:22 ============ Mat 19:22 But when the young man heard that saying, he went away sorrowful: for he had great possessions.(KJV-1611) Mat 19:22 Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.(Creole-HT) ======= Matthew 19:23 ============ Mat 19:23 Then said Jesus unto his disciples, Verily I say unto you, That a rich man shall hardly enter into the kingdom of heaven.(KJV-1611) Mat 19:23 Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 19:24 ============ Mat 19:24 And again I say unto you, It is easier for a camel to go through the eye of a needle, than for a rich man to enter into the kingdom of God.(KJV-1611) Mat 19:24 M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 19:25 ============ Mat 19:25 When his disciples heard it, they were exceedingly amazed, saying, Who then can be saved?(KJV-1611) Mat 19:25 Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?(Creole-HT) ======= Matthew 19:26 ============ Mat 19:26 But Jesus beheld them, and said unto them, With men this is impossible; but with God all things are possible.(KJV-1611) Mat 19:26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.(Creole-HT) ======= Matthew 19:27 ============ Mat 19:27 Then answered Peter and said unto him, Behold, we have forsaken all, and followed thee; what shall we have therefore?(KJV-1611) Mat 19:27 Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?(Creole-HT) ======= Matthew 19:28 ============ Mat 19:28 And Jesus said unto them, Verily I say unto you, That ye which have followed me, in the regeneration when the Son of man shall sit in the throne of his glory, ye also shall sit upon twelve thrones, judging the twelve tribes of Israel.(KJV-1611) Mat 19:28 Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 19:29 ============ Mat 19:29 And every one that hath forsaken houses, or brethren, or sisters, or father, or mother, or wife, or children, or lands, for my name's sake, shall receive an hundredfold, and shall inherit everlasting life.(KJV-1611) Mat 19:29 Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Matthew 19:30 ============ Mat 19:30 But many that are first shall be last; and the last shall be first.(KJV-1611) Mat 19:30 Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.(Creole-HT) ======= Matthew 20:1 ============ Mat 20:1 For the kingdom of heaven is like unto a man that is an householder, which went out early in the morning to hire labourers into his vineyard.(KJV-1611) Mat 20:1 Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan.(Creole-HT) ======= Matthew 20:2 ============ Mat 20:2 And when he had agreed with the labourers for a penny a day, he sent them into his vineyard.(KJV-1611) Mat 20:2 Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an.(Creole-HT) ======= Matthew 20:3 ============ Mat 20:3 And he went out about the third hour, and saw others standing idle in the marketplace,(KJV-1611) Mat 20:3 Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen.(Creole-HT) ======= Matthew 20:4 ============ Mat 20:4 And said unto them; Go ye also into the vineyard, and whatsoever is right I will give you. And they went their way.(KJV-1611) Mat 20:4 Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè.(Creole-HT) ======= Matthew 20:5 ============ Mat 20:5 Again he went out about the sixth and ninth hour, and did likewise.(KJV-1611) Mat 20:5 Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la.(Creole-HT) ======= Matthew 20:6 ============ Mat 20:6 And about the eleventh hour he went out, and found others standing idle, and saith unto them, Why stand ye here all the day idle?(KJV-1611) Mat 20:6 Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa?(Creole-HT) ======= Matthew 20:7 ============ Mat 20:7 They say unto him, Because no man hath hired us. He saith unto them, Go ye also into the vineyard; and whatsoever is right, that shall ye receive.(KJV-1611) Mat 20:7 Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan.(Creole-HT) ======= Matthew 20:8 ============ Mat 20:8 So when even was come, the lord of the vineyard saith unto his steward, Call the labourers, and give them their hire, beginning from the last unto the first.(KJV-1611) Mat 20:8 Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 20:9 ============ Mat 20:9 And when they came that were hired about the eleventh hour, they received every man a penny.(KJV-1611) Mat 20:9 Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay.(Creole-HT) ======= Matthew 20:10 ============ Mat 20:10 But when the first came, they supposed that they should have received more; and they likewise received every man a penny.(KJV-1611) Mat 20:10 Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou.(Creole-HT) ======= Matthew 20:11 ============ Mat 20:11 And when they had received it, they murmured against the goodman of the house,(KJV-1611) Mat 20:11 Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an.(Creole-HT) ======= Matthew 20:12 ============ Mat 20:12 Saying, These last have wrought but one hour, and thou hast made them equal unto us, which have borne the burden and heat of the day.(KJV-1611) Mat 20:12 Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la.(Creole-HT) ======= Matthew 20:13 ============ Mat 20:13 But he answered one of them, and said, Friend, I do thee no wrong: didst not thou agree with me for a penny?(KJV-1611) Mat 20:13 Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre?(Creole-HT) ======= Matthew 20:14 ============ Mat 20:14 Take that thine is, and go thy way: I will give unto this last, even as unto thee.(KJV-1611) Mat 20:14 Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou.(Creole-HT) ======= Matthew 20:15 ============ Mat 20:15 Is it not lawful for me to do what I will with mine own? Is thine eye evil, because I am good?(KJV-1611) Mat 20:15 Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?(Creole-HT) ======= Matthew 20:16 ============ Mat 20:16 So the last shall be first, and the first last: for many be called, but few chosen.(KJV-1611) Mat 20:16 Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.(Creole-HT) ======= Matthew 20:17 ============ Mat 20:17 And Jesus going up to Jerusalem took the twelve disciples apart in the way, and said unto them,(KJV-1611) Mat 20:17 Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:(Creole-HT) ======= Matthew 20:18 ============ Mat 20:18 Behold, we go up to Jerusalem; and the Son of man shall be betrayed unto the chief priests and unto the scribes, and they shall condemn him to death,(KJV-1611) Mat 20:18 Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò,(Creole-HT) ======= Matthew 20:19 ============ Mat 20:19 And shall deliver him to the Gentiles to mock, and to scourge, and to crucify him: and the third day he shall rise again.(KJV-1611) Mat 20:19 y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Matthew 20:20 ============ Mat 20:20 Then came to him the mother of Zebedees children with her sons, worshipping him, and desiring a certain thing of him.(KJV-1611) Mat 20:20 Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè.(Creole-HT) ======= Matthew 20:21 ============ Mat 20:21 And he said unto her, What wilt thou? She saith unto him, Grant that these my two sons may sit, the one on thy right hand, and the other on the left, in thy kingdom.(KJV-1611) Mat 20:21 Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.(Creole-HT) ======= Matthew 20:22 ============ Mat 20:22 But Jesus answered and said, Ye know not what ye ask. Are ye able to drink of the cup that I shall drink of, and to be baptized with the baptism that I am baptized with? They say unto him, We are able.(KJV-1611) Mat 20:22 Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab.(Creole-HT) ======= Matthew 20:23 ============ Mat 20:23 And he saith unto them, Ye shall drink indeed of my cup, and be baptized with the baptism that I am baptized with: but to sit on my right hand, and on my left, is not mine to give, but it shall be given to them for whom it is prepared of my Father.(KJV-1611) Mat 20:23 Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.(Creole-HT) ======= Matthew 20:24 ============ Mat 20:24 And when the ten heard it, they were moved with indignation against the two brethren.(KJV-1611) Mat 20:24 Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou de frè yo.(Creole-HT) ======= Matthew 20:25 ============ Mat 20:25 But Jesus called them unto him, and said, Ye know that the princes of the Gentiles exercise dominion over them, and they that are great exercise authority upon them.(KJV-1611) Mat 20:25 Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Matthew 20:26 ============ Mat 20:26 But it shall not be so among you: but whosoever will be great among you, let him be your minister;(KJV-1611) Mat 20:26 Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.(Creole-HT) ======= Matthew 20:27 ============ Mat 20:27 And whosoever will be chief among you, let him be your servant:(KJV-1611) Mat 20:27 Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout.(Creole-HT) ======= Matthew 20:28 ============ Mat 20:28 Even as the Son of man came not to be ministered unto, but to minister, and to give his life a ransom for many.(KJV-1611) Mat 20:28 Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.(Creole-HT) ======= Matthew 20:29 ============ Mat 20:29 And as they departed from Jericho, a great multitude followed him.(KJV-1611) Mat 20:29 Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 20:30 ============ Mat 20:30 And, behold, two blind men sitting by the way side, when they heard that Jesus passed by, cried out, saying, Have mercy on us, O Lord, thou son of David.(KJV-1611) Mat 20:30 Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 20:31 ============ Mat 20:31 And the multitude rebuked them, because they should hold their peace: but they cried the more, saying, Have mercy on us, O Lord, thou son of David.(KJV-1611) Mat 20:31 Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!(Creole-HT) ======= Matthew 20:32 ============ Mat 20:32 And Jesus stood still, and called them, and said, What will ye that I shall do unto you?(KJV-1611) Mat 20:32 Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou?(Creole-HT) ======= Matthew 20:33 ============ Mat 20:33 They say unto him, Lord, that our eyes may be opened.(KJV-1611) Mat 20:33 Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 20:34 ============ Mat 20:34 So Jesus had compassion on them, and touched their eyes: and immediately their eyes received sight, and they followed him.(KJV-1611) Mat 20:34 Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 21:1 ============ Mat 21:1 And when they drew nigh unto Jerusalem, and were come to Bethphage, unto the mount of Olives, then sent Jesus two disciples,(KJV-1611) Mat 21:1 Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gen tan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo,(Creole-HT) ======= Matthew 21:2 ============ Mat 21:2 Saying unto them, Go into the village over against you, and straightway ye shall find an ass tied, and a colt with her: loose them, and bring them unto me.(KJV-1611) Mat 21:2 li di yo: Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 21:3 ============ Mat 21:3 And if any man say ought unto you, ye shall say, The Lord hath need of them; and straightway he will send them.(KJV-1611) Mat 21:3 Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn: Se Mèt la ki bezwen yo. Menm lè a, la kite nou ale ak yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:4 ============ Mat 21:4 All this was done, that it might be fulfilled which was spoken by the prophet, saying,(KJV-1611) Mat 21:4 Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre:(Creole-HT) ======= Matthew 21:5 ============ Mat 21:5 Tell ye the daughter of Sion, Behold, thy King cometh unto thee, meek, and sitting upon an ass, and a colt the foal of an ass.(KJV-1611) Mat 21:5 Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.(Creole-HT) ======= Matthew 21:6 ============ Mat 21:6 And the disciples went, and did as Jesus commanded them,(KJV-1611) Mat 21:6 Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a.(Creole-HT) ======= Matthew 21:7 ============ Mat 21:7 And brought the ass, and the colt, and put on them their clothes, and they set him thereon.(KJV-1611) Mat 21:7 Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita.(Creole-HT) ======= Matthew 21:8 ============ Mat 21:8 And a very great multitude spread their garments in the way; others cut down branches from the trees, and strawed them in the way.(KJV-1611) Mat 21:8 Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an.(Creole-HT) ======= Matthew 21:9 ============ Mat 21:9 And the multitudes that went before, and that followed, cried, saying, Hosanna to the son of David: Blessed is he that cometh in the name of the Lord; Hosanna in the highest.(KJV-1611) Mat 21:9 Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!(Creole-HT) ======= Matthew 21:10 ============ Mat 21:10 And when he was come into Jerusalem, all the city was moved, saying, Who is this?(KJV-1611) Mat 21:10 Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: Ki moun nonm sa a ye menm?(Creole-HT) ======= Matthew 21:11 ============ Mat 21:11 And the multitude said, This is Jesus the prophet of Nazareth of Galilee.(KJV-1611) Mat 21:11 Foul moun yo menm t'ap reponn yo: Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a.(Creole-HT) ======= Matthew 21:12 ============ Mat 21:12 And Jesus went into the temple of God, and cast out all them that sold and bought in the temple, and overthrew the tables of the moneychangers, and the seats of them that sold doves,(KJV-1611) Mat 21:12 Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:13 ============ Mat 21:13 And said unto them, It is written, My house shall be called the house of prayer; but ye have made it a den of thieves.(KJV-1611) Mat 21:13 Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè.(Creole-HT) ======= Matthew 21:14 ============ Mat 21:14 And the blind and the lame came to him in the temple; and he healed them.(KJV-1611) Mat 21:14 Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:15 ============ Mat 21:15 And when the chief priests and scribes saw the wonderful things that he did, and the children crying in the temple, and saying, Hosanna to the son of David; they were sore displeased,(KJV-1611) Mat 21:15 Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la!(Creole-HT) ======= Matthew 21:16 ============ Mat 21:16 And said unto him, Hearest thou what these say? And Jesus saith unto them, Yea; have ye never read, Out of the mouth of babes and sucklings thou hast perfected praise?(KJV-1611) Mat 21:16 Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?(Creole-HT) ======= Matthew 21:17 ============ Mat 21:17 And he left them, and went out of the city into Bethany; and he lodged there.(KJV-1611) Mat 21:17 Apre sa, li kite yo, li soti lavil la, li ale Betani. Se la li pase nwit lan.(Creole-HT) ======= Matthew 21:18 ============ Mat 21:18 Now in the morning as he returned into the city, he hungered.(KJV-1611) Mat 21:18 Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou.(Creole-HT) ======= Matthew 21:19 ============ Mat 21:19 And when he saw a fig tree in the way, he came to it, and found nothing thereon, but leaves only, and said unto it, Let no fruit grow on thee henceforward for ever. And presently the fig tree withered away.(KJV-1611) Mat 21:19 Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l'. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche.(Creole-HT) ======= Matthew 21:20 ============ Mat 21:20 And when the disciples saw it, they marvelled, saying, How soon is the fig tree withered away!(KJV-1611) Mat 21:20 Lè disip yo wè sa, yo pa t' manke sezi, yo di li: Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman?(Creole-HT) ======= Matthew 21:21 ============ Mat 21:21 Jesus answered and said unto them, Verily I say unto you, If ye have faith, and doubt not, ye shall not only do this which is done to the fig tree, but also if ye shall say unto this mountain, Be thou removed, and be thou cast into the sea; it shall be done.(KJV-1611) Mat 21:21 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pa t' gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sak rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.(Creole-HT) ======= Matthew 21:22 ============ Mat 21:22 And all things, whatsoever ye shall ask in prayer, believing, ye shall receive.(KJV-1611) Mat 21:22 Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l' lè n'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Matthew 21:23 ============ Mat 21:23 And when he was come into the temple, the chief priests and the elders of the people came unto him as he was teaching, and said, By what authority doest thou these things? and who gave thee this authority?(KJV-1611) Mat 21:23 Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?(Creole-HT) ======= Matthew 21:24 ============ Mat 21:24 And Jesus answered and said unto them, I also will ask you one thing, which if ye tell me, I in like wise will tell you by what authority I do these things.(KJV-1611) Mat 21:24 Jezi reponn yo: M'ap poze nou yon keksyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:25 ============ Mat 21:25 The baptism of John, whence was it? from heaven, or of men? And they reasoned with themselves, saying, If we shall say, From heaven; he will say unto us, Why did ye not then believe him?(KJV-1611) Mat 21:25 Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'.(Creole-HT) ======= Matthew 21:26 ============ Mat 21:26 But if we shall say, Of men; we fear the people; for all hold John as a prophet.(KJV-1611) Mat 21:26 Si nou reponn: Se moun ki te voye l', afè nou p'ap bon ak foul moun yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.(Creole-HT) ======= Matthew 21:27 ============ Mat 21:27 And they answered Jesus, and said, We cannot tell. And he said unto them, Neither tell I you by what authority I do these things.(KJV-1611) Mat 21:27 Apre sa, yo reponn Jezi: Nou pa konnen. Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m' fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:28 ============ Mat 21:28 But what think ye? A certain man had two sons; and he came to the first, and said, Son, go work to day in my vineyard.(KJV-1611) Mat 21:28 Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l': Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.(Creole-HT) ======= Matthew 21:29 ============ Mat 21:29 He answered and said, I will not: but afterward he repented, and went.(KJV-1611) Mat 21:29 Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, li ale.(Creole-HT) ======= Matthew 21:30 ============ Mat 21:30 And he came to the second, and said likewise. And he answered and said, I go, sir: and went not.(KJV-1611) Mat 21:30 Apre sa, papa a pale ak lòt pi piti a, li di l' menm bagay la. Pi piti a reponn li: Wi, papa. Men, li pa janm mete pye li.(Creole-HT) ======= Matthew 21:31 ============ Mat 21:31 Whether of them twain did the will of his father? They say unto him, The first. Jesus saith unto them, Verily I say unto you, That the publicans and the harlots go into the kingdom of God before you.(KJV-1611) Mat 21:31 Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou.(Creole-HT) ======= Matthew 21:32 ============ Mat 21:32 For John came unto you in the way of righteousness, and ye believed him not: but the publicans and the harlots believed him: and ye, when ye had seen it, repented not afterward, that ye might believe him.(KJV-1611) Mat 21:32 Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.(Creole-HT) ======= Matthew 21:33 ============ Mat 21:33 Hear another parable: There was a certain householder, which planted a vineyard, and hedged it round about, and digged a winepress in it, and built a tower, and let it out to husbandmen, and went into a far country:(KJV-1611) Mat 21:33 Koute yon lòt parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou krase rezen yo. Li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li, lèfini li pati, li al nan vwayaj.(Creole-HT) ======= Matthew 21:34 ============ Mat 21:34 And when the time of the fruit drew near, he sent his servants to the husbandmen, that they might receive the fruits of it.(KJV-1611) Mat 21:34 Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l' bò kote jeran yo.(Creole-HT) ======= Matthew 21:35 ============ Mat 21:35 And the husbandmen took his servants, and beat one, and killed another, and stoned another.(KJV-1611) Mat 21:35 Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch.(Creole-HT) ======= Matthew 21:36 ============ Mat 21:36 Again, he sent other servants more than the first: and they did unto them likewise.(KJV-1611) Mat 21:36 Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an.(Creole-HT) ======= Matthew 21:37 ============ Mat 21:37 But last of all he sent unto them his son, saying, They will reverence my son.(KJV-1611) Mat 21:37 Apre sa, li voye pwòp pitit gason l' bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou pitit mwen an.(Creole-HT) ======= Matthew 21:38 ============ Mat 21:38 But when the husbandmen saw the son, they said among themselves, This is the heir; come, let us kill him, and let us seize on his inheritance.(KJV-1611) Mat 21:38 Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 21:39 ============ Mat 21:39 And they caught him, and cast him out of the vineyard, and slew him.(KJV-1611) Mat 21:39 Yo mete men sou li, yo jete l' lòt bò jaden an, yo touye li.(Creole-HT) ======= Matthew 21:40 ============ Mat 21:40 When the lord therefore of the vineyard cometh, what will he do unto those husbandmen?(KJV-1611) Mat 21:40 Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo?(Creole-HT) ======= Matthew 21:41 ============ Mat 21:41 They say unto him, He will miserably destroy those wicked men, and will let out his vineyard unto other husbandmen, which shall render him the fruits in their seasons.(KJV-1611) Mat 21:41 Yo reponn li: Li p'ap gen pitye pou yo. La fè touye malveyan sa yo, la pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l' pòsyon pa l' nan rekòt la lè sezon an va rive.(Creole-HT) ======= Matthew 21:42 ============ Mat 21:42 Jesus saith unto them, Did ye never read in the scriptures, The stone which the builders rejected, the same is become the head of the corner: this is the Lord's doing, and it is marvellous in our eyes?(KJV-1611) Mat 21:42 Apre sa, Jezi di yo: Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa.(Creole-HT) ======= Matthew 21:43 ============ Mat 21:43 Therefore say I unto you, The kingdom of God shall be taken from you, and given to a nation bringing forth the fruits thereof.(KJV-1611) Mat 21:43 Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.(Creole-HT) ======= Matthew 21:44 ============ Mat 21:44 And whosoever shall fall on this stone shall be broken: but on whomsoever it shall fall, it will grind him to powder.(KJV-1611) Mat 21:44 Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Matthew 21:45 ============ Mat 21:45 And when the chief priests and Pharisees had heard his parables, they perceived that he spake of them.(KJV-1611) Mat 21:45 Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale.(Creole-HT) ======= Matthew 21:46 ============ Mat 21:46 But when they sought to lay hands on him, they feared the multitude, because they took him for a prophet.(KJV-1611) Mat 21:46 Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou li. Men, yo te pè foul moun yo ki te pran Jezi pou yon bon pwofèt.(Creole-HT) ======= Matthew 22:1 ============ Mat 22:1 And Jesus answered and spake unto them again by parables, and said,(KJV-1611) Mat 22:1 Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl:(Creole-HT) ======= Matthew 22:2 ============ Mat 22:2 The kingdom of heaven is like unto a certain king, which made a marriage for his son,(KJV-1611) Mat 22:2 Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li.(Creole-HT) ======= Matthew 22:3 ============ Mat 22:3 And sent forth his servants to call them that were bidden to the wedding: and they would not come.(KJV-1611) Mat 22:3 Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pa t' vle vini.(Creole-HT) ======= Matthew 22:4 ============ Mat 22:4 Again, he sent forth other servants, saying, Tell them which are bidden, Behold, I have prepared my dinner: my oxen and my fatlings are killed, and all things are ready: come unto the marriage.(KJV-1611) Mat 22:4 Lè sa a, wa a voye lòt domestik, li di yo: Ale di envite yo manje a pare koulye a. Mwen gen tan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. vin nan nòs la.(Creole-HT) ======= Matthew 22:5 ============ Mat 22:5 But they made light of it, and went their ways, one to his farm, another to his merchandise:(KJV-1611) Mat 22:5 Men, envite yo pa fè ka sa l' voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l', yon lòt ale nan trafik li.(Creole-HT) ======= Matthew 22:6 ============ Mat 22:6 And the remnant took his servants, and entreated them spitefully, and slew them.(KJV-1611) Mat 22:6 Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 22:7 ============ Mat 22:7 But when the king heard thereof, he was wroth: and he sent forth his armies, and destroyed those murderers, and burned up their city.(KJV-1611) Mat 22:7 Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.(Creole-HT) ======= Matthew 22:8 ============ Mat 22:8 Then saith he to his servants, The wedding is ready, but they which were bidden were not worthy.(KJV-1611) Mat 22:8 Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pa t' merite sa.(Creole-HT) ======= Matthew 22:9 ============ Mat 22:9 Go ye therefore into the highways, and as many as ye shall find, bid to the marriage.(KJV-1611) Mat 22:9 Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la.(Creole-HT) ======= Matthew 22:10 ============ Mat 22:10 So those servants went out into the highways, and gathered together all as many as they found, both bad and good: and the wedding was furnished with guests.(KJV-1611) Mat 22:10 Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.(Creole-HT) ======= Matthew 22:11 ============ Mat 22:11 And when the king came in to see the guests, he saw there a man which had not on a wedding garment:(KJV-1611) Mat 22:11 Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l' al tonbe sou yon nonm ki pa t' abiye ak rad nòs la.(Creole-HT) ======= Matthew 22:12 ============ Mat 22:12 And he saith unto him, Friend, how camest thou in hither not having a wedding garment? And he was speechless.(KJV-1611) Mat 22:12 Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.(Creole-HT) ======= Matthew 22:13 ============ Mat 22:13 Then said the king to the servants, Bind him hand and foot, and take him away, and cast him into outer darkness, there shall be weeping and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 22:13 Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.(Creole-HT) ======= Matthew 22:14 ============ Mat 22:14 For many are called, but few are chosen.(KJV-1611) Mat 22:14 Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.(Creole-HT) ======= Matthew 22:15 ============ Mat 22:15 Then went the Pharisees, and took counsel how they might entangle him in his talk.(KJV-1611) Mat 22:15 Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li.(Creole-HT) ======= Matthew 22:16 ============ Mat 22:16 And they sent out unto him their disciples with the Herodians, saying, Master, we know that thou art true, and teachest the way of God in truth, neither carest thou for any man: for thou regardest not the person of men.(KJV-1611) Mat 22:16 Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= Matthew 22:17 ============ Mat 22:17 Tell us therefore, What thinkest thou? Is it lawful to give tribute unto Caesar, or not?(KJV-1611) Mat 22:17 Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?(Creole-HT) ======= Matthew 22:18 ============ Mat 22:18 But Jesus perceived their wickedness, and said, Why tempt ye me, ye hypocrites?(KJV-1611) Mat 22:18 Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit?(Creole-HT) ======= Matthew 22:19 ============ Mat 22:19 Shew me the tribute money. And they brought unto him a penny.(KJV-1611) Mat 22:19 Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan.(Creole-HT) ======= Matthew 22:20 ============ Mat 22:20 And he saith unto them, Whose is this image and superscription?(KJV-1611) Mat 22:20 Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?(Creole-HT) ======= Matthew 22:21 ============ Mat 22:21 They say unto him, Caesar's. Then saith he unto them, Render therefore unto Caesar the things which are Caesar's; and unto God the things that are God's.(KJV-1611) Mat 22:21 Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 22:22 ============ Mat 22:22 When they had heard these words, they marvelled, and left him, and went their way.(KJV-1611) Mat 22:22 Lè yo tande sa, yo pa t' manke sezi. Yo kite l', y al fè wout yo.(Creole-HT) ======= Matthew 22:23 ============ Mat 22:23 The same day came to him the Sadducees, which say that there is no resurrection, and asked him,(KJV-1611) Mat 22:23 Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kot Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve). Yo poze Jezi keksyon sa a:(Creole-HT) ======= Matthew 22:24 ============ Mat 22:24 Saying, Master, Moses said, If a man die, having no children, his brother shall marry his wife, and raise up seed unto his brother.(KJV-1611) Mat 22:24 Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l' gen pou marye ak madanm defen an pou l' ka fè pitit pou frè l' ki mouri a.(Creole-HT) ======= Matthew 22:25 ============ Mat 22:25 Now there were with us seven brethren: and the first, when he had married a wife, deceased, and, having no issue, left his wife unto his brother:(KJV-1611) Mat 22:25 Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l' pa t' gen pitit. Li kite madanm li pou frè li.(Creole-HT) ======= Matthew 22:26 ============ Mat 22:26 Likewise the second also, and the third, unto the seventh.(KJV-1611) Mat 22:26 Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase.(Creole-HT) ======= Matthew 22:27 ============ Mat 22:27 And last of all the woman died also.(KJV-1611) Mat 22:27 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou.(Creole-HT) ======= Matthew 22:28 ============ Mat 22:28 Therefore in the resurrection whose wife shall she be of the seven? for they all had her.(KJV-1611) Mat 22:28 Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout.(Creole-HT) ======= Matthew 22:29 ============ Mat 22:29 Jesus answered and said unto them, Ye do err, not knowing the scriptures, nor the power of God.(KJV-1611) Mat 22:29 Jezi reponn yo: Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 22:30 ============ Mat 22:30 For in the resurrection they neither marry, nor are given in marriage, but are as the angels of God in heaven.(KJV-1611) Mat 22:30 Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 22:31 ============ Mat 22:31 But as touching the resurrection of the dead, have ye not read that which was spoken unto you by God, saying,(KJV-1611) Mat 22:31 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou:(Creole-HT) ======= Matthew 22:32 ============ Mat 22:32 I am the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob? God is not the God of the dead, but of the living.(KJV-1611) Mat 22:32 Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.(Creole-HT) ======= Matthew 22:33 ============ Mat 22:33 And when the multitude heard this, they were astonished at his doctrine.(KJV-1611) Mat 22:33 Tout moun ki t'ap koute l' yo te sezi tande sa l' t'ap di yo.(Creole-HT) ======= Matthew 22:34 ============ Mat 22:34 But when the Pharisees had heard that he had put the Sadducees to silence, they were gathered together.(KJV-1611) Mat 22:34 Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.(Creole-HT) ======= Matthew 22:35 ============ Mat 22:35 Then one of them, which was a lawyer, asked him a question, tempting him, and saying,(KJV-1611) Mat 22:35 Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:(Creole-HT) ======= Matthew 22:36 ============ Mat 22:36 Master, which is the great commandment in the law?(KJV-1611) Mat 22:36 Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?(Creole-HT) ======= Matthew 22:37 ============ Mat 22:37 Jesus said unto him, Thou shalt love the Lord thy God with all thy heart, and with all thy soul, and with all thy mind.(KJV-1611) Mat 22:37 Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.(Creole-HT) ======= Matthew 22:38 ============ Mat 22:38 This is the first and great commandment.(KJV-1611) Mat 22:38 Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.(Creole-HT) ======= Matthew 22:39 ============ Mat 22:39 And the second is like unto it, Thou shalt love thy neighbour as thyself.(KJV-1611) Mat 22:39 Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Matthew 22:40 ============ Mat 22:40 On these two commandments hang all the law and the prophets.(KJV-1611) Mat 22:40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.(Creole-HT) ======= Matthew 22:41 ============ Mat 22:41 While the Pharisees were gathered together, Jesus asked them,(KJV-1611) Mat 22:41 Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a:(Creole-HT) ======= Matthew 22:42 ============ Mat 22:42 Saying, What think ye of Christ? whose son is he? They say unto him, The son of David.(KJV-1611) Mat 22:42 Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!(Creole-HT) ======= Matthew 22:43 ============ Mat 22:43 He saith unto them, How then doth David in spirit call him Lord, saying,(KJV-1611) Mat 22:43 Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di:(Creole-HT) ======= Matthew 22:44 ============ Mat 22:44 The LORD said unto my Lord, Sit thou on my right hand, till I make thine enemies thy footstool?(KJV-1611) Mat 22:44 Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.(Creole-HT) ======= Matthew 22:45 ============ Mat 22:45 If David then call him Lord, how is he his son?(KJV-1611) Mat 22:45 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?(Creole-HT) ======= Matthew 22:46 ============ Mat 22:46 And no man was able to answer him a word, neither durst any man from that day forth ask him any more questions.(KJV-1611) Mat 22:46 Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 23:1 ============ Mat 23:1 Then spake Jesus to the multitude, and to his disciples,(KJV-1611) Mat 23:1 Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo:(Creole-HT) ======= Matthew 23:2 ============ Mat 23:2 Saying The scribes and the Pharisees sit in Moses' seat:(KJV-1611) Mat 23:2 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.(Creole-HT) ======= Matthew 23:3 ============ Mat 23:3 All therefore whatsoever they bid you observe, that observe and do; but do not ye after their works: for they say, and do not.(KJV-1611) Mat 23:3 Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.(Creole-HT) ======= Matthew 23:4 ============ Mat 23:4 For they bind heavy burdens and grievous to be borne, and lay them on men's shoulders; but they themselves will not move them with one of their fingers.(KJV-1611) Mat 23:4 Yo mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p'ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la.(Creole-HT) ======= Matthew 23:5 ============ Mat 23:5 But all their works they do for to be seen of men: they make broad their phylacteries, and enlarge the borders of their garments,(KJV-1611) Mat 23:5 Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!(Creole-HT) ======= Matthew 23:6 ============ Mat 23:6 And love the uppermost rooms at feasts, and the chief seats in the synagogues,(KJV-1611) Mat 23:6 Yo renmen pi bon plas nan reseptyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg.(Creole-HT) ======= Matthew 23:7 ============ Mat 23:7 And greetings in the markets, and to be called of men, Rabbi, Rabbi.(KJV-1611) Mat 23:7 Yo renmen pou moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik, pou moun rele yo: Mèt, Mèt.(Creole-HT) ======= Matthew 23:8 ============ Mat 23:8 But be not ye called Rabbi: for one is your Master, even Christ; and all ye are brethren.(KJV-1611) Mat 23:8 Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.(Creole-HT) ======= Matthew 23:9 ============ Mat 23:9 And call no man your father upon the earth: for one is your Father, which is in heaven.(KJV-1611) Mat 23:9 Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 23:10 ============ Mat 23:10 Neither be ye called masters: for one is your Master, even Christ.(KJV-1611) Mat 23:10 Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.(Creole-HT) ======= Matthew 23:11 ============ Mat 23:11 But he that is greatest among you shall be your servant.(KJV-1611) Mat 23:11 Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k'ap sèvi nou an.(Creole-HT) ======= Matthew 23:12 ============ Mat 23:12 And whosoever shall exalt himself shall be abased; and he that shall humble himself shall be exalted.(KJV-1611) Mat 23:12 Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.(Creole-HT) ======= Matthew 23:13 ============ Mat 23:13 But woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye shut up the kingdom of heaven against men: for ye neither go in yourselves, neither suffer ye them that are entering to go in.(KJV-1611) Mat 23:13 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.(Creole-HT) ======= Matthew 23:14 ============ Mat 23:14 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye devour widows' houses, and for a pretence make long prayer: therefore ye shall receive the greater damnation.(KJV-1611) Mat 23:14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.(Creole-HT) ======= Matthew 23:15 ============ Mat 23:15 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye compass sea and land to make one proselyte, and when he is made, ye make him twofold more the child of hell than yourselves.(KJV-1611) Mat 23:15 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.(Creole-HT) ======= Matthew 23:16 ============ Mat 23:16 Woe unto you, ye blind guides, which say, Whosoever shall swear by the temple, it is nothing; but whosoever shall swear by the gold of the temple, he is a debtor!(KJV-1611) Mat 23:16 Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Matthew 23:17 ============ Mat 23:17 Ye fools and blind: for whether is greater, the gold, or the temple that sanctifieth the gold?(KJV-1611) Mat 23:17 Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?(Creole-HT) ======= Matthew 23:18 ============ Mat 23:18 And, Whosoever shall swear by the altar, it is nothing; but whosoever sweareth by the gift that is upon it, he is guilty.(KJV-1611) Mat 23:18 Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lòtèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l' sèmante sou ofrann ki sou lòtèl la, se pou l' kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Matthew 23:19 ============ Mat 23:19 Ye fools and blind: for whether is greater, the gift, or the altar that sanctifieth the gift?(KJV-1611) Mat 23:19 Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?(Creole-HT) ======= Matthew 23:20 ============ Mat 23:20 Whoso therefore shall swear by the altar, sweareth by it, and by all things thereon.(KJV-1611) Mat 23:20 Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lòtèl la, li sèmante sou lòtèl la ansanm ak tou sa ki sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 23:21 ============ Mat 23:21 And whoso shall swear by the temple, sweareth by it, and by him that dwelleth therein.(KJV-1611) Mat 23:21 Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Matthew 23:22 ============ Mat 23:22 And he that shall swear by heaven, sweareth by the throne of God, and by him that sitteth thereon.(KJV-1611) Mat 23:22 Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fotèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fotèy la.(Creole-HT) ======= Matthew 23:23 ============ Mat 23:23 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye pay tithe of mint and anise and cummin, and have omitted the weightier matters of the law, judgment, mercy, and faith: these ought ye to have done, and not to leave the other undone.(KJV-1611) Mat 23:23 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.(Creole-HT) ======= Matthew 23:24 ============ Mat 23:24 Ye blind guides, which strain at a gnat, and swallow a camel.(KJV-1611) Mat 23:24 Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal!(Creole-HT) ======= Matthew 23:25 ============ Mat 23:25 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye make clean the outside of the cup and of the platter, but within they are full of extortion and excess.(KJV-1611) Mat 23:25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.(Creole-HT) ======= Matthew 23:26 ============ Mat 23:26 Thou blind Pharisee, cleanse first that which is within the cup and platter, that the outside of them may be clean also.(KJV-1611) Mat 23:26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.(Creole-HT) ======= Matthew 23:27 ============ Mat 23:27 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye are like unto whited sepulchres, which indeed appear beautiful outward, but are within full of dead men's bones, and of all uncleanness.(KJV-1611) Mat 23:27 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.(Creole-HT) ======= Matthew 23:28 ============ Mat 23:28 Even so ye also outwardly appear righteous unto men, but within ye are full of hypocrisy and iniquity.(KJV-1611) Mat 23:28 Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.(Creole-HT) ======= Matthew 23:29 ============ Mat 23:29 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! because ye build the tombs of the prophets, and garnish the sepulchres of the righteous,(KJV-1611) Mat 23:29 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo.(Creole-HT) ======= Matthew 23:30 ============ Mat 23:30 And say, If we had been in the days of our fathers, we would not have been partakers with them in the blood of the prophets.(KJV-1611) Mat 23:30 Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Matthew 23:31 ============ Mat 23:31 Wherefore ye be witnesses unto yourselves, that ye are the children of them which killed the prophets.(KJV-1611) Mat 23:31 Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.(Creole-HT) ======= Matthew 23:32 ============ Mat 23:32 Fill ye up then the measure of your fathers.(KJV-1611) Mat 23:32 Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a.(Creole-HT) ======= Matthew 23:33 ============ Mat 23:33 Ye serpents, ye generation of vipers, how can ye escape the damnation of hell?(KJV-1611) Mat 23:33 Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?(Creole-HT) ======= Matthew 23:34 ============ Mat 23:34 Wherefore, behold, I send unto you prophets, and wise men, and scribes: and some of them ye shall kill and crucify; and some of them shall ye scourge in your synagogues, and persecute them from city to city:(KJV-1611) Mat 23:34 Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.(Creole-HT) ======= Matthew 23:35 ============ Mat 23:35 That upon you may come all the righteous blood shed upon the earth, from the blood of righteous Abel unto the blood of Zacharias son of Barachias, whom ye slew between the temple and the altar.(KJV-1611) Mat 23:35 Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Matthew 23:36 ============ Mat 23:36 Verily I say unto you, All these things shall come upon this generation.(KJV-1611) Mat 23:36 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k'ap viv koulye a pou tout krim sa yo.(Creole-HT) ======= Matthew 23:37 ============ Mat 23:37 O Jerusalem, Jerusalem, thou that killest the prophets, and stonest them which are sent unto thee, how often would I have gathered thy children together, even as a hen gathereth her chickens under her wings, and ye would not!(KJV-1611) Mat 23:37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!(Creole-HT) ======= Matthew 23:38 ============ Mat 23:38 Behold, your house is left unto you desolate.(KJV-1611) Mat 23:38 Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 23:39 ============ Mat 23:39 For I say unto you, Ye shall not see me henceforth, till ye shall say, Blessed is he that cometh in the name of the Lord.(KJV-1611) Mat 23:39 Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:1 ============ Mat 24:1 And Jesus went out, and departed from the temple: and his disciples came to him for to shew him the buildings of the temple.(KJV-1611) Mat 24:1 Jezi soti nan tanp lan, li tapral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l' wè ki jan tanp lan te byen bati.(Creole-HT) ======= Matthew 24:2 ============ Mat 24:2 And Jesus said unto them, See ye not all these things? verily I say unto you, There shall not be left here one stone upon another, that shall not be thrown down.(KJV-1611) Mat 24:2 Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.(Creole-HT) ======= Matthew 24:3 ============ Mat 24:3 And as he sat upon the mount of Olives, the disciples came unto him privately, saying, Tell us, when shall these things be? and what shall be the sign of thy coming, and of the end of the world?(KJV-1611) Mat 24:3 Jezi te chita sou mòn Oliv la. Disip li yo te pou kont yo avèk li. Yo pwoche bò kote l', yo mande li: Manyè di nou kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?(Creole-HT) ======= Matthew 24:4 ============ Mat 24:4 And Jesus answered and said unto them, Take heed that no man deceive you.(KJV-1611) Mat 24:4 Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.(Creole-HT) ======= Matthew 24:5 ============ Mat 24:5 For many shall come in my name, saying, I am Christ; and shall deceive many.(KJV-1611) Mat 24:5 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.(Creole-HT) ======= Matthew 24:6 ============ Mat 24:6 And ye shall hear of wars and rumours of wars: see that ye be not troubled: for all these things must come to pass, but the end is not yet.(KJV-1611) Mat 24:6 Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.(Creole-HT) ======= Matthew 24:7 ============ Mat 24:7 For nation shall rise against nation, and kingdom against kingdom: and there shall be famines, and pestilences, and earthquakes, in divers places.(KJV-1611) Mat 24:7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.(Creole-HT) ======= Matthew 24:8 ============ Mat 24:8 All these are the beginning of sorrows.(KJV-1611) Mat 24:8 Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.(Creole-HT) ======= Matthew 24:9 ============ Mat 24:9 Then shall they deliver you up to be afflicted, and shall kill you: and ye shall be hated of all nations for my name's sake.(KJV-1611) Mat 24:9 Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 24:10 ============ Mat 24:10 And then shall many be offended, and shall betray one another, and shall hate one another.(KJV-1611) Mat 24:10 Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt.(Creole-HT) ======= Matthew 24:11 ============ Mat 24:11 And many false prophets shall rise, and shall deceive many.(KJV-1611) Mat 24:11 Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.(Creole-HT) ======= Matthew 24:12 ============ Mat 24:12 And because iniquity shall abound, the love of many shall wax cold.(KJV-1611) Mat 24:12 Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt.(Creole-HT) ======= Matthew 24:13 ============ Mat 24:13 But he that shall endure unto the end, the same shall be saved.(KJV-1611) Mat 24:13 Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.(Creole-HT) ======= Matthew 24:14 ============ Mat 24:14 And this gospel of the kingdom shall be preached in all the world for a witness unto all nations; and then shall the end come.(KJV-1611) Mat 24:14 Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.(Creole-HT) ======= Matthew 24:15 ============ Mat 24:15 When ye therefore shall see the abomination of desolation, spoken of by Daniel the prophet, stand in the holy place, (whoso readeth, let him understand:)(KJV-1611) Mat 24:15 Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)(Creole-HT) ======= Matthew 24:16 ============ Mat 24:16 Then let them which be in Judaea flee into the mountains:(KJV-1611) Mat 24:16 Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn.(Creole-HT) ======= Matthew 24:17 ============ Mat 24:17 Let him which is on the housetop not come down to take any thing out of his house:(KJV-1611) Mat 24:17 Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:18 ============ Mat 24:18 Neither let him which is in the field return back to take his clothes.(KJV-1611) Mat 24:18 Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.(Creole-HT) ======= Matthew 24:19 ============ Mat 24:19 And woe unto them that are with child, and to them that give suck in those days!(KJV-1611) Mat 24:19 Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.(Creole-HT) ======= Matthew 24:20 ============ Mat 24:20 But pray ye that your flight be not in the winter, neither on the sabbath day:(KJV-1611) Mat 24:20 Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.(Creole-HT) ======= Matthew 24:21 ============ Mat 24:21 For then shall be great tribulation, such as was not since the beginning of the world to this time, no, nor ever shall be.(KJV-1611) Mat 24:21 Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 24:22 ============ Mat 24:22 And except those days should be shortened, there should no flesh be saved: but for the elect's sake those days shall be shortened.(KJV-1611) Mat 24:22 Si yo pa t' wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.(Creole-HT) ======= Matthew 24:23 ============ Mat 24:23 Then if any man shall say unto you, Lo, here is Christ, or there; believe it not.(KJV-1611) Mat 24:23 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li.(Creole-HT) ======= Matthew 24:24 ============ Mat 24:24 For there shall arise false Christs, and false prophets, and shall shew great signs and wonders; insomuch that, if it were possible, they shall deceive the very elect.(KJV-1611) Mat 24:24 Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.(Creole-HT) ======= Matthew 24:25 ============ Mat 24:25 Behold, I have told you before.(KJV-1611) Mat 24:25 Mwen di nou sa davans.(Creole-HT) ======= Matthew 24:26 ============ Mat 24:26 Wherefore if they shall say unto you, Behold, he is in the desert; go not forth: behold, he is in the secret chambers; believe it not.(KJV-1611) Mat 24:26 Se pou si yo di nou: Gade, men l' nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l' kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo.(Creole-HT) ======= Matthew 24:27 ============ Mat 24:27 For as the lightning cometh out of the east, and shineth even unto the west; so shall also the coming of the Son of man be.(KJV-1611) Mat 24:27 Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.(Creole-HT) ======= Matthew 24:28 ============ Mat 24:28 For wheresoever the carcase is, there will the eagles be gathered together.(KJV-1611) Mat 24:28 Kote kadav la va ye a, se la votou yo va sanble.(Creole-HT) ======= Matthew 24:29 ============ Mat 24:29 Immediately after the tribulation of those days shall the sun be darkened, and the moon shall not give her light, and the stars shall fall from heaven, and the powers of the heavens shall be shaken:(KJV-1611) Mat 24:29 Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l' ankò, zetwal yo va soti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble.(Creole-HT) ======= Matthew 24:30 ============ Mat 24:30 And then shall appear the sign of the Son of man in heaven: and then shall all the tribes of the earth mourn, and they shall see the Son of man coming in the clouds of heaven with power and great glory.(KJV-1611) Mat 24:30 Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nwaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.(Creole-HT) ======= Matthew 24:31 ============ Mat 24:31 And he shall send his angels with a great sound of a trumpet, and they shall gather together his elect from the four winds, from one end of heaven to the other.(KJV-1611) Mat 24:31 Gwo klewon an va sonnen, la voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:32 ============ Mat 24:32 Now learn a parable of the fig tree; When his branch is yet tender, and putteth forth leaves, ye know that summer is nigh:(KJV-1611) Mat 24:32 Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 24:33 ============ Mat 24:33 So likewise ye, when ye shall see all these things, know that it is near, even at the doors.(KJV-1611) Mat 24:33 Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:34 ============ Mat 24:34 Verily I say unto you, This generation shall not pass, till all these things be fulfilled.(KJV-1611) Mat 24:34 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.(Creole-HT) ======= Matthew 24:35 ============ Mat 24:35 Heaven and earth shall pass away, but my words shall not pass away.(KJV-1611) Mat 24:35 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.(Creole-HT) ======= Matthew 24:36 ============ Mat 24:36 But of that day and hour knoweth no man, no, not the angels of heaven, but my Father only.(KJV-1611) Mat 24:36 Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.(Creole-HT) ======= Matthew 24:37 ============ Mat 24:37 But as the days of Noe were, so shall also the coming of the Son of man be.(KJV-1611) Mat 24:37 Sak te rive nan tan Noe a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini.(Creole-HT) ======= Matthew 24:38 ============ Mat 24:38 For as in the days that were before the flood they were eating and drinking, marrying and giving in marriage, until the day that Noe entered into the ark,(KJV-1611) Mat 24:38 Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.(Creole-HT) ======= Matthew 24:39 ============ Mat 24:39 And knew not until the flood came, and took them all away; so shall also the coming of the Son of man be.(KJV-1611) Mat 24:39 Yo pa t' konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini.(Creole-HT) ======= Matthew 24:40 ============ Mat 24:40 Then shall two be in the field; the one shall be taken, and the other left.(KJV-1611) Mat 24:40 Lè sa a, va gen de gason nan yon menm jaden, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:41 ============ Mat 24:41 Two women shall be grinding at the mill; the one shall be taken, and the other left.(KJV-1611) Mat 24:41 Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:42 ============ Mat 24:42 Watch therefore: for ye know not what hour your Lord doth come.(KJV-1611) Mat 24:42 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.(Creole-HT) ======= Matthew 24:43 ============ Mat 24:43 But know this, that if the goodman of the house had known in what watch the thief would come, he would have watched, and would not have suffered his house to be broken up.(KJV-1611) Mat 24:43 Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.(Creole-HT) ======= Matthew 24:44 ============ Mat 24:44 Therefore be ye also ready: for in such an hour as ye think not the Son of man cometh.(KJV-1611) Mat 24:44 Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.(Creole-HT) ======= Matthew 24:45 ============ Mat 24:45 Who then is a faithful and wise servant, whom his lord hath made ruler over his household, to give them meat in due season?(KJV-1611) Mat 24:45 Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.(Creole-HT) ======= Matthew 24:46 ============ Mat 24:46 Blessed is that servant, whom his lord when he cometh shall find so doing.(KJV-1611) Mat 24:46 Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Matthew 24:47 ============ Mat 24:47 Verily I say unto you, That he shall make him ruler over all his goods.(KJV-1611) Mat 24:47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.(Creole-HT) ======= Matthew 24:48 ============ Mat 24:48 But and if that evil servant shall say in his heart, My lord delayeth his coming;(KJV-1611) Mat 24:48 Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.(Creole-HT) ======= Matthew 24:49 ============ Mat 24:49 And shall begin to smite his fellowservants, and to eat and drink with the drunken;(KJV-1611) Mat 24:49 L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè.(Creole-HT) ======= Matthew 24:50 ============ Mat 24:50 The lord of that servant shall come in a day when he looketh not for him, and in an hour that he is not aware of,(KJV-1611) Mat 24:50 Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen.(Creole-HT) ======= Matthew 24:51 ============ Mat 24:51 And shall cut him asunder, and appoint him his portion with the hypocrites: there shall be weeping and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 24:51 L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.(Creole-HT) ======= Matthew 25:1 ============ Mat 25:1 Then shall the kingdom of heaven be likened unto ten virgins, which took their lamps, and went forth to meet the bridegroom.(KJV-1611) Mat 25:1 Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.(Creole-HT) ======= Matthew 25:2 ============ Mat 25:2 And five of them were wise, and five were foolish.(KJV-1611) Mat 25:2 Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Matthew 25:3 ============ Mat 25:3 They that were foolish took their lamps, and took no oil with them:(KJV-1611) Mat 25:3 Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t' pote gaz an rezèv.(Creole-HT) ======= Matthew 25:4 ============ Mat 25:4 But the wise took oil in their vessels with their lamps.(KJV-1611) Mat 25:4 Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:5 ============ Mat 25:5 While the bridegroom tarried, they all slumbered and slept.(KJV-1611) Mat 25:5 Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:6 ============ Mat 25:6 And at midnight there was a cry made, Behold, the bridegroom cometh; go ye out to meet him.(KJV-1611) Mat 25:6 Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:7 ============ Mat 25:7 Then all those virgins arose, and trimmed their lamps.(KJV-1611) Mat 25:7 Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:8 ============ Mat 25:8 And the foolish said unto the wise, Give us of your oil; for our lamps are gone out.(KJV-1611) Mat 25:8 Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 25:9 ============ Mat 25:9 But the wise answered, saying, Not so; lest there be not enough for us and you: but go ye rather to them that sell, and buy for yourselves.(KJV-1611) Mat 25:9 Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n' al achte nan men machann yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:10 ============ Mat 25:10 And while they went to buy, the bridegroom came; and they that were ready went in with him to the marriage: and the door was shut.(KJV-1611) Mat 25:10 Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l' nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:11 ============ Mat 25:11 Afterward came also the other virgins, saying, Lord, Lord, open to us.(KJV-1611) Mat 25:11 Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:12 ============ Mat 25:12 But he answered and said, Verily I say unto you, I know you not.(KJV-1611) Mat 25:12 Men msye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m' pa konnen nou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:13 ============ Mat 25:13 Watch therefore, for ye know neither the day nor the hour wherein the Son of man cometh.(KJV-1611) Mat 25:13 Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.(Creole-HT) ======= Matthew 25:14 ============ Mat 25:14 For the kingdom of heaven is as a man travelling into a far country, who called his own servants, and delivered unto them his goods.(KJV-1611) Mat 25:14 Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:15 ============ Mat 25:15 And unto one he gave five talents, to another two, and to another one; to every man according to his several ability; and straightway took his journey.(KJV-1611) Mat 25:15 Li bay yonn senkmil goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.(Creole-HT) ======= Matthew 25:16 ============ Mat 25:16 Then he that had received the five talents went and traded with the same, and made them other five talents.(KJV-1611) Mat 25:16 Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil goud benefis.(Creole-HT) ======= Matthew 25:17 ============ Mat 25:17 And likewise he that had received two, he also gained other two.(KJV-1611) Mat 25:17 Konsa tou, domestik ki te resevwa demil goud benefis.(Creole-HT) ======= Matthew 25:18 ============ Mat 25:18 But he that had received one went and digged in the earth, and hid his lord's money.(KJV-1611) Mat 25:18 Sa ki te resevwa mil goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la.(Creole-HT) ======= Matthew 25:19 ============ Mat 25:19 After a long time the lord of those servants cometh, and reckoneth with them.(KJV-1611) Mat 25:19 Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:20 ============ Mat 25:20 And so he that had received five talents came and brought other five talents, saying, Lord, thou deliveredst unto me five talents: behold, I have gained beside them five talents more.(KJV-1611) Mat 25:20 Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè.(Creole-HT) ======= Matthew 25:21 ============ Mat 25:21 His lord said unto him, Well done, thou good and faithful servant: thou hast been faithful over a few things, I will make thee ruler over many things: enter thou into the joy of thy lord.(KJV-1611) Mat 25:21 Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:22 ============ Mat 25:22 He also that had received two talents came and said, Lord, thou deliveredst unto me two talents: behold, I have gained two other talents beside them.(KJV-1611) Mat 25:22 Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè.(Creole-HT) ======= Matthew 25:23 ============ Mat 25:23 His lord said unto him, Well done, good and faithful servant; thou hast been faithful over a few things, I will make thee ruler over many things: enter thou into the joy of thy lord.(KJV-1611) Mat 25:23 Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:24 ============ Mat 25:24 Then he which had received the one talent came and said, Lord, I knew thee that thou art an hard man, reaping where thou hast not sown, and gathering where thou hast not strawed:(KJV-1611) Mat 25:24 Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante.(Creole-HT) ======= Matthew 25:25 ============ Mat 25:25 And I was afraid, and went and hid thy talent in the earth: lo, there thou hast that is thine.(KJV-1611) Mat 25:25 Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:26 ============ Mat 25:26 His lord answered and said unto him, Thou wicked and slothful servant, thou knewest that I reap where I sowed not, and gather where I have not strawed:(KJV-1611) Mat 25:26 Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante.(Creole-HT) ======= Matthew 25:27 ============ Mat 25:27 Thou oughtest therefore to have put my money to the exchangers, and then at my coming I should have received mine own with usury.(KJV-1611) Mat 25:27 Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:28 ============ Mat 25:28 Take therefore the talent from him, and give it unto him which hath ten talents.(KJV-1611) Mat 25:28 Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil goud la.(Creole-HT) ======= Matthew 25:29 ============ Mat 25:29 For unto every one that hath shall be given, and he shall have abundance: but from him that hath not shall be taken away even that which he hath.(KJV-1611) Mat 25:29 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.(Creole-HT) ======= Matthew 25:30 ============ Mat 25:30 And cast ye the unprofitable servant into outer darkness: there shall be weeping and gnashing of teeth.(KJV-1611) Mat 25:30 Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.(Creole-HT) ======= Matthew 25:31 ============ Mat 25:31 When the Son of man shall come in his glory, and all the holy angels with him, then shall he sit upon the throne of his glory:(KJV-1611) Mat 25:31 Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:32 ============ Mat 25:32 And before him shall be gathered all nations: and he shall separate them one from another, as a shepherd divideth his sheep from the goats:(KJV-1611) Mat 25:32 Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.(Creole-HT) ======= Matthew 25:33 ============ Mat 25:33 And he shall set the sheep on his right hand, but the goats on the left.(KJV-1611) Mat 25:33 La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:34 ============ Mat 25:34 Then shall the King say unto them on his right hand, Come, ye blessed of my Father, inherit the kingdom prepared for you from the foundation of the world:(KJV-1611) Mat 25:34 Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.(Creole-HT) ======= Matthew 25:35 ============ Mat 25:35 For I was an hungred, and ye gave me meat: I was thirsty, and ye gave me drink: I was a stranger, and ye took me in:(KJV-1611) Mat 25:35 Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.(Creole-HT) ======= Matthew 25:36 ============ Mat 25:36 Naked, and ye clothed me: I was sick, and ye visited me: I was in prison, and ye came unto me.(KJV-1611) Mat 25:36 Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 25:37 ============ Mat 25:37 Then shall the righteous answer him, saying, Lord, when saw we thee an hungred, and fed thee? or thirsty, and gave thee drink?(KJV-1611) Mat 25:37 Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?(Creole-HT) ======= Matthew 25:38 ============ Mat 25:38 When saw we thee a stranger, and took thee in? or naked, and clothed thee?(KJV-1611) Mat 25:38 Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad?(Creole-HT) ======= Matthew 25:39 ============ Mat 25:39 Or when saw we thee sick, or in prison, and came unto thee?(KJV-1611) Mat 25:39 Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou?(Creole-HT) ======= Matthew 25:40 ============ Mat 25:40 And the King shall answer and say unto them, Verily I say unto you, Inasmuch as ye have done it unto one of the least of these my brethren, ye have done it unto me.(KJV-1611) Mat 25:40 Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:41 ============ Mat 25:41 Then shall he say also unto them on the left hand, Depart from me, ye cursed, into everlasting fire, prepared for the devil and his angels:(KJV-1611) Mat 25:41 Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 25:42 ============ Mat 25:42 For I was an hungred, and ye gave me no meat: I was thirsty, and ye gave me no drink:(KJV-1611) Mat 25:42 Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè.(Creole-HT) ======= Matthew 25:43 ============ Mat 25:43 I was a stranger, and ye took me not in: naked, and ye clothed me not: sick, and in prison, and ye visited me not.(KJV-1611) Mat 25:43 Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 25:44 ============ Mat 25:44 Then shall they also answer him, saying, Lord, when saw we thee an hungred, or athirst, or a stranger, or naked, or sick, or in prison, and did not minister unto thee?(KJV-1611) Mat 25:44 Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans?(Creole-HT) ======= Matthew 25:45 ============ Mat 25:45 Then shall he answer them, saying, Verily I say unto you, Inasmuch as ye did it not to one of the least of these, ye did it not to me.(KJV-1611) Mat 25:45 Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.(Creole-HT) ======= Matthew 25:46 ============ Mat 25:46 And these shall go away into everlasting punishment: but the righteous into life eternal.(KJV-1611) Mat 25:46 Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Matthew 26:1 ============ Mat 26:1 And it came to pass, when Jesus had finished all these sayings, he said unto his disciples,(KJV-1611) Mat 26:1 Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo:(Creole-HT) ======= Matthew 26:2 ============ Mat 26:2 Ye know that after two days is the feast of the passover, and the Son of man is betrayed to be crucified.(KJV-1611) Mat 26:2 Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:3 ============ Mat 26:3 Then assembled together the chief priests, and the scribes, and the elders of the people, unto the palace of the high priest, who was called Caiaphas,(KJV-1611) Mat 26:3 Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.(Creole-HT) ======= Matthew 26:4 ============ Mat 26:4 And consulted that they might take Jesus by subtilty, and kill him.(KJV-1611) Mat 26:4 Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:5 ============ Mat 26:5 But they said, Not on the feast day, lest there be an uproar among the people.(KJV-1611) Mat 26:5 Yonn t'ap di lòt: Nou pa kapab arete l' pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.(Creole-HT) ======= Matthew 26:6 ============ Mat 26:6 Now when Jesus was in Bethany, in the house of Simon the leper,(KJV-1611) Mat 26:6 Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la,(Creole-HT) ======= Matthew 26:7 ============ Mat 26:7 There came unto him a woman having an alabaster box of very precious ointment, and poured it on his head, as he sat at meat.(KJV-1611) Mat 26:7 yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:8 ============ Mat 26:8 But when his disciples saw it, they had indignation, saying, To what purpose is this waste?(KJV-1611) Mat 26:8 Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a?(Creole-HT) ======= Matthew 26:9 ============ Mat 26:9 For this ointment might have been sold for much, and given to the poor.(KJV-1611) Mat 26:9 Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an.(Creole-HT) ======= Matthew 26:10 ============ Mat 26:10 When Jesus understood it, he said unto them, Why trouble ye the woman? for she hath wrought a good work upon me.(KJV-1611) Mat 26:10 Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:11 ============ Mat 26:11 For ye have the poor always with you; but me ye have not always.(KJV-1611) Mat 26:11 Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan.(Creole-HT) ======= Matthew 26:12 ============ Mat 26:12 For in that she hath poured this ointment on my body, she did it for my burial.(KJV-1611) Mat 26:12 Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m' pou lantèman mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:13 ============ Mat 26:13 Verily I say unto you, Wheresoever this gospel shall be preached in the whole world, there shall also this, that this woman hath done, be told for a memorial of her.(KJV-1611) Mat 26:13 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl sa a, y'a rakonte tou sa fanm sa a te fè pou yo pa janm bliye li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:14 ============ Mat 26:14 Then one of the twelve, called Judas Iscariot, went unto the chief priests,(KJV-1611) Mat 26:14 Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:15 ============ Mat 26:15 And said unto them, What will ye give me, and I will deliver him unto you? And they covenanted with him for thirty pieces of silver.(KJV-1611) Mat 26:15 Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:16 ============ Mat 26:16 And from that time he sought opportunity to betray him.(KJV-1611) Mat 26:16 Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 26:17 ============ Mat 26:17 Now the first day of the feast of unleavened bread the disciples came to Jesus, saying unto him, Where wilt thou that we prepare for thee to eat the passover?(KJV-1611) Mat 26:17 Premye jou fèt pen san ledven yo, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: Ki bò ou ta vle nou pare manje Delivrans lan pou ou?(Creole-HT) ======= Matthew 26:18 ============ Mat 26:18 And he said, Go into the city to such a man, and say unto him, The Master saith, My time is at hand; I will keep the passover at thy house with my disciples.(KJV-1611) Mat 26:18 Li reponn yo: Ale lavil la, kay entèl. n'a di l' konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l' la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:19 ============ Mat 26:19 And the disciples did as Jesus had appointed them; and they made ready the passover.(KJV-1611) Mat 26:19 Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Matthew 26:20 ============ Mat 26:20 Now when the even was come, he sat down with the twelve.(KJV-1611) Mat 26:20 Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:21 ============ Mat 26:21 And as they did eat, he said, Verily I say unto you, that one of you shall betray me.(KJV-1611) Mat 26:21 Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:22 ============ Mat 26:22 And they were exceeding sorrowful, and began every one of them to say unto him, Lord, is it I?(KJV-1611) Mat 26:22 Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: Eske se mwen menm, Mèt?(Creole-HT) ======= Matthew 26:23 ============ Mat 26:23 And he answered and said, He that dippeth his hand with me in the dish, the same shall betray me.(KJV-1611) Mat 26:23 Li reponn yo: Moun ki tranpe pen l' ansanm avè m' nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:24 ============ Mat 26:24 The Son of man goeth as it is written of him: but woe unto that man by whom the Son of man is betrayed! it had been good for that man if he had not been born.(KJV-1611) Mat 26:24 Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.(Creole-HT) ======= Matthew 26:25 ============ Mat 26:25 Then Judas, which betrayed him, answered and said, Master, is it I? He said unto him, Thou hast said.(KJV-1611) Mat 26:25 Jida ki tapral trayi l' la pran lapawòl, li di: Mèt, èske se mwen menm? Jezi reponn li: Se ou ki di li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:26 ============ Mat 26:26 And as they were eating, Jesus took bread, and blessed it, and brake it, and gave it to the disciples, and said, Take, eat; this is my body.(KJV-1611) Mat 26:26 Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:27 ============ Mat 26:27 And he took the cup, and gave thanks, and gave it to them, saying, Drink ye all of it;(KJV-1611) Mat 26:27 Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:28 ============ Mat 26:28 For this is my blood of the new testament, which is shed for many for the remission of sins.(KJV-1611) Mat 26:28 Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:29 ============ Mat 26:29 But I say unto you, I will not drink henceforth of this fruit of the vine, until that day when I drink it new with you in my Father's kingdom.(KJV-1611) Mat 26:29 M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:30 ============ Mat 26:30 And when they had sung an hymn, they went out into the mount of Olives.(KJV-1611) Mat 26:30 Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo soti, y ale sou mòn Oliv la.(Creole-HT) ======= Matthew 26:31 ============ Mat 26:31 Then saith Jesus unto them, All ye shall be offended because of me this night: for it is written, I will smite the shepherd, and the sheep of the flock shall be scattered abroad.(KJV-1611) Mat 26:31 Lè sa a, Jezi di disip li yo: Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m' pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa.(Creole-HT) ======= Matthew 26:32 ============ Mat 26:32 But after I am risen again, I will go before you into Galilee.(KJV-1611) Mat 26:32 Men, apre sa, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= Matthew 26:33 ============ Mat 26:33 Peter answered and said unto him, Though all men shall be offended because of thee, yet will I never be offended.(KJV-1611) Mat 26:33 Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:34 ============ Mat 26:34 Jesus said unto him, Verily I say unto thee, That this night, before the cock crow, thou shalt deny me thrice.(KJV-1611) Mat 26:34 Jezi di li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:35 ============ Mat 26:35 Peter said unto him, Though I should die with thee, yet will I not deny thee. Likewise also said all the disciples.(KJV-1611) Mat 26:35 Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:36 ============ Mat 26:36 Then cometh Jesus with them unto a place called Gethsemane, and saith unto the disciples, Sit ye here, while I go and pray yonder.(KJV-1611) Mat 26:36 Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:37 ============ Mat 26:37 And he took with him Peter and the two sons of Zebedee, and began to be sorrowful and very heavy.(KJV-1611) Mat 26:37 Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:38 ============ Mat 26:38 Then saith he unto them, My soul is exceeding sorrowful, even unto death: tarry ye here, and watch with me.(KJV-1611) Mat 26:38 Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:39 ============ Mat 26:39 And he went a little farther, and fell on his face, and prayed, saying, O my Father, if it be possible, let this cup pass from me: nevertheless not as I will, but as thou wilt.(KJV-1611) Mat 26:39 li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:40 ============ Mat 26:40 And he cometh unto the disciples, and findeth them asleep, and saith unto Peter, What, could ye not watch with me one hour?(KJV-1611) Mat 26:40 Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pa t' kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen!(Creole-HT) ======= Matthew 26:41 ============ Mat 26:41 Watch and pray, that ye enter not into temptation: the spirit indeed is willing, but the flesh is weak.(KJV-1611) Mat 26:41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.(Creole-HT) ======= Matthew 26:42 ============ Mat 26:42 He went away again the second time, and prayed, saying, O my Father, if this cup may not pass away from me, except I drink it, thy will be done.(KJV-1611) Mat 26:42 Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:43 ============ Mat 26:43 And he came and found them asleep again: for their eyes were heavy.(KJV-1611) Mat 26:43 Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:44 ============ Mat 26:44 And he left them, and went away again, and prayed the third time, saying the same words.(KJV-1611) Mat 26:44 Li kite yo, li ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:45 ============ Mat 26:45 Then cometh he to his disciples, and saith unto them, Sleep on now, and take your rest: behold, the hour is at hand, and the Son of man is betrayed into the hands of sinners.(KJV-1611) Mat 26:45 Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo.(Creole-HT) ======= Matthew 26:46 ============ Mat 26:46 Rise, let us be going: behold, he is at hand that doth betray me.(KJV-1611) Mat 26:46 Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.(Creole-HT) ======= Matthew 26:47 ============ Mat 26:47 And while he yet spake, lo, Judas, one of the twelve, came, and with him a great multitude with swords and staves, from the chief priests and elders of the people.(KJV-1611) Mat 26:47 Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:48 ============ Mat 26:48 Now he that betrayed him gave them a sign, saying, Whomsoever I shall kiss, that same is he: hold him fast.(KJV-1611) Mat 26:48 Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:49 ============ Mat 26:49 And forthwith he came to Jesus, and said, Hail, master; and kissed him.(KJV-1611) Mat 26:49 Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 26:50 ============ Mat 26:50 And Jesus said unto him, Friend, wherefore art thou come? Then came they, and laid hands on Jesus and took him.(KJV-1611) Mat 26:50 Jezi di li: Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:51 ============ Mat 26:51 And, behold, one of them which were with Jesus stretched out his hand, and drew his sword, and struck a servant of the high priest's, and smote off his ear.(KJV-1611) Mat 26:51 Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:52 ============ Mat 26:52 Then said Jesus unto him, Put up again thy sword into his place: for all they that take the sword shall perish with the sword.(KJV-1611) Mat 26:52 Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:53 ============ Mat 26:53 Thinkest thou that I cannot now pray to my Father, and he shall presently give me more than twelve legions of angels?(KJV-1611) Mat 26:53 Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:54 ============ Mat 26:54 But how then shall the scriptures be fulfilled, that thus it must be?(KJV-1611) Mat 26:54 Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.(Creole-HT) ======= Matthew 26:55 ============ Mat 26:55 In that same hour said Jesus to the multitudes, Are ye come out as against a thief with swords and staves for to take me? I sat daily with you teaching in the temple, and ye laid no hold on me.(KJV-1611) Mat 26:55 Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 26:56 ============ Mat 26:56 But all this was done, that the scriptures of the prophets might be fulfilled. Then all the disciples forsook him, and fled.(KJV-1611) Mat 26:56 Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.(Creole-HT) ======= Matthew 26:57 ============ Mat 26:57 And they that had laid hold on Jesus led him away to Caiaphas the high priest, where the scribes and the elders were assembled.(KJV-1611) Mat 26:57 Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.(Creole-HT) ======= Matthew 26:58 ============ Mat 26:58 But Peter followed him afar off unto the high priest's palace, and went in, and sat with the servants, to see the end.(KJV-1611) Mat 26:58 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.(Creole-HT) ======= Matthew 26:59 ============ Mat 26:59 Now the chief priests, and elders, and all the council, sought false witness against Jesus, to put him to death;(KJV-1611) Mat 26:59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.(Creole-HT) ======= Matthew 26:60 ============ Mat 26:60 But found none: yea, though many false witnesses came, yet found they none. At the last came two false witnesses,(KJV-1611) Mat 26:60 Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:61 ============ Mat 26:61 And said, This fellow said, I am able to destroy the temple of God, and to build it in three days.(KJV-1611) Mat 26:61 Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:62 ============ Mat 26:62 And the high priest arose, and said unto him, Answerest thou nothing? what is it which these witness against thee?(KJV-1611) Mat 26:62 Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?(Creole-HT) ======= Matthew 26:63 ============ Mat 26:63 But Jesus held his peace, And the high priest answered and said unto him, I adjure thee by the living God, that thou tell us whether thou be the Christ, the Son of God.(KJV-1611) Mat 26:63 Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?(Creole-HT) ======= Matthew 26:64 ============ Mat 26:64 Jesus saith unto him, Thou hast said: nevertheless I say unto you, Hereafter shall ye see the Son of man sitting on the right hand of power, and coming in the clouds of heaven.(KJV-1611) Mat 26:64 Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Matthew 26:65 ============ Mat 26:65 Then the high priest rent his clothes, saying, He hath spoken blasphemy; what further need have we of witnesses? behold, now ye have heard his blasphemy.(KJV-1611) Mat 26:65 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 26:66 ============ Mat 26:66 What think ye? They answered and said, He is guilty of death.(KJV-1611) Mat 26:66 Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Matthew 26:67 ============ Mat 26:67 Then did they spit in his face, and buffeted him; and others smote him with the palms of their hands,(KJV-1611) Mat 26:67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.(Creole-HT) ======= Matthew 26:68 ============ Mat 26:68 Saying, Prophesy unto us, thou Christ, Who is he that smote thee?(KJV-1611) Mat 26:68 Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.(Creole-HT) ======= Matthew 26:69 ============ Mat 26:69 Now Peter sat without in the palace: and a damsel came unto him, saying, Thou also wast with Jesus of Galilee.(KJV-1611) Mat 26:69 Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:70 ============ Mat 26:70 But he denied before them all, saying, I know not what thou sayest.(KJV-1611) Mat 26:70 Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:71 ============ Mat 26:71 And when he was gone out into the porch, another maid saw him, and said unto them that were there, This fellow was also with Jesus of Nazareth.(KJV-1611) Mat 26:71 Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.(Creole-HT) ======= Matthew 26:72 ============ Mat 26:72 And again he denied with an oath, I do not know the man.(KJV-1611) Mat 26:72 Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a.(Creole-HT) ======= Matthew 26:73 ============ Mat 26:73 And after a while came unto him they that stood by, and said to Peter, Surely thou also art one of them; for thy speech bewrayeth thee.(KJV-1611) Mat 26:73 Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.(Creole-HT) ======= Matthew 26:74 ============ Mat 26:74 Then began he to curse and to swear, saying, I know not the man. And immediately the cock crew.(KJV-1611) Mat 26:74 Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.(Creole-HT) ======= Matthew 26:75 ============ Mat 26:75 And Peter remembered the word of Jesus, which said unto him, Before the cock crow, thou shalt deny me thrice. And he went out, and wept bitterly.(KJV-1611) Mat 26:75 Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.(Creole-HT) ======= Matthew 27:1 ============ Mat 27:1 When the morning was come, all the chief priests and elders of the people took counsel against Jesus to put him to death:(KJV-1611) Mat 27:1 Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:2 ============ Mat 27:2 And when they had bound him, they led him away, and delivered him to Pontius Pilate the governor.(KJV-1611) Mat 27:2 Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:3 ============ Mat 27:3 Then Judas, which had betrayed him, when he saw that he was condemned, repented himself, and brought again the thirty pieces of silver to the chief priests and elders,(KJV-1611) Mat 27:3 Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa:(Creole-HT) ======= Matthew 27:4 ============ Mat 27:4 Saying, I have sinned in that I have betrayed the innocent blood. And they said, What is that to us? see thou to that.(KJV-1611) Mat 27:4 Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.(Creole-HT) ======= Matthew 27:5 ============ Mat 27:5 And he cast down the pieces of silver in the temple, and departed, and went and hanged himself.(KJV-1611) Mat 27:5 Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:6 ============ Mat 27:6 And the chief priests took the silver pieces, and said, It is not lawful for to put them into the treasury, because it is the price of blood.(KJV-1611) Mat 27:6 Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.(Creole-HT) ======= Matthew 27:7 ============ Mat 27:7 And they took counsel, and bought with them the potter's field, to bury strangers in.(KJV-1611) Mat 27:7 Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:8 ============ Mat 27:8 Wherefore that field was called, The field of blood, unto this day.(KJV-1611) Mat 27:8 Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san.(Creole-HT) ======= Matthew 27:9 ============ Mat 27:9 Then was fulfilled that which was spoken by Jeremy the prophet, saying, And they took the thirty pieces of silver, the price of him that was valued, whom they of the children of Israel did value;(KJV-1611) Mat 27:9 Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:10 ============ Mat 27:10 And gave them for the potter's field, as the Lord appointed me.(KJV-1611) Mat 27:10 Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.(Creole-HT) ======= Matthew 27:11 ============ Mat 27:11 And Jesus stood before the governor: and the governor asked him, saying, Art thou the King of the Jews? And Jesus said unto him, Thou sayest.(KJV-1611) Mat 27:11 Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:12 ============ Mat 27:12 And when he was accused of the chief priests and elders, he answered nothing.(KJV-1611) Mat 27:12 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.(Creole-HT) ======= Matthew 27:13 ============ Mat 27:13 Then said Pilate unto him, Hearest thou not how many things they witness against thee?(KJV-1611) Mat 27:13 Pilat di li: Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou?(Creole-HT) ======= Matthew 27:14 ============ Mat 27:14 And he answered him to never a word; insomuch that the governor marvelled greatly.(KJV-1611) Mat 27:14 Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.(Creole-HT) ======= Matthew 27:15 ============ Mat 27:15 Now at that feast the governor was wont to release unto the people a prisoner, whom they would.(KJV-1611) Mat 27:15 Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.(Creole-HT) ======= Matthew 27:16 ============ Mat 27:16 And they had then a notable prisoner, called Barabbas.(KJV-1611) Mat 27:16 Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 27:17 ============ Mat 27:17 Therefore when they were gathered together, Pilate said unto them, Whom will ye that I release unto you? Barabbas, or Jesus which is called Christ?(KJV-1611) Mat 27:17 Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: Kilès nou vle m' lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?(Creole-HT) ======= Matthew 27:18 ============ Mat 27:18 For he knew that for envy they had delivered him.(KJV-1611) Mat 27:18 Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:19 ============ Mat 27:19 When he was set down on the judgment seat, his wife sent unto him, saying, Have thou nothing to do with that just man: for I have suffered many things this day in a dream because of him.(KJV-1611) Mat 27:19 Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.(Creole-HT) ======= Matthew 27:20 ============ Mat 27:20 But the chief priests and elders persuaded the multitude that they should ask Barabbas, and destroy Jesus.(KJV-1611) Mat 27:20 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas ba yo, pou l' fè touye Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 27:21 ============ Mat 27:21 The governor answered and said unto them, Whether of the twain will ye that I release unto you? They said, Barabbas.(KJV-1611) Mat 27:21 Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: Kilès nan de a nou vle m' lage ban nou? Yo reponn: Barabas.(Creole-HT) ======= Matthew 27:22 ============ Mat 27:22 Pilate saith unto them, What shall I do then with Jesus which is called Christ? They all say unto him, Let him be crucified.(KJV-1611) Mat 27:22 Pilat mande yo: Bon. Kisa pou m' fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: Kloure l' sou yon kwa!(Creole-HT) ======= Matthew 27:23 ============ Mat 27:23 And the governor said, Why, what evil hath he done? But they cried out the more, saying, Let him be crucified.(KJV-1611) Mat 27:23 Pilat di yo: Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: Kloure l' sou yon kwa!(Creole-HT) ======= Matthew 27:24 ============ Mat 27:24 When Pilate saw that he could prevail nothing, but that rather a tumult was made, he took water, and washed his hands before the multitude, saying, I am innocent of the blood of this just person: see ye to it.(KJV-1611) Mat 27:24 Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.(Creole-HT) ======= Matthew 27:25 ============ Mat 27:25 Then answered all the people, and said, His blood be on us, and on our children.(KJV-1611) Mat 27:25 Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Matthew 27:26 ============ Mat 27:26 Then released he Barabbas unto them: and when he had scourged Jesus, he delivered him to be crucified.(KJV-1611) Mat 27:26 Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Matthew 27:27 ============ Mat 27:27 Then the soldiers of the governor took Jesus into the common hall, and gathered unto him the whole band of soldiers.(KJV-1611) Mat 27:27 Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:28 ============ Mat 27:28 And they stripped him, and put on him a scarlet robe.(KJV-1611) Mat 27:28 Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:29 ============ Mat 27:29 And when they had platted a crown of thorns, they put it upon his head, and a reed in his right hand: and they bowed the knee before him, and mocked him, saying, Hail, King of the Jews!(KJV-1611) Mat 27:29 Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!(Creole-HT) ======= Matthew 27:30 ============ Mat 27:30 And they spit upon him, and took the reed, and smote him on the head.(KJV-1611) Mat 27:30 Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.(Creole-HT) ======= Matthew 27:31 ============ Mat 27:31 And after that they had mocked him, they took the robe off from him, and put his own raiment on him, and led him away to crucify him.(KJV-1611) Mat 27:31 Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Matthew 27:32 ============ Mat 27:32 And as they came out, they found a man of Cyrene, Simon by name: him they compelled to bear his cross.(KJV-1611) Mat 27:32 Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:33 ============ Mat 27:33 And when they were come unto a place called Golgotha, that is to say, a place of a skull,(KJV-1611) Mat 27:33 Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la)(Creole-HT) ======= Matthew 27:34 ============ Mat 27:34 They gave him vinegar to drink mingled with gall: and when he had tasted thereof, he would not drink.(KJV-1611) Mat 27:34 yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l' goute l', li pa t' vle bwè li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:35 ============ Mat 27:35 And they crucified him, and parted his garments, casting lots: that it might be fulfilled which was spoken by the prophet, They parted my garments among them, and upon my vesture did they cast lots.(KJV-1611) Mat 27:35 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.(Creole-HT) ======= Matthew 27:36 ============ Mat 27:36 And sitting down they watched him there;(KJV-1611) Mat 27:36 Apre sa, yo chita ap veye li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:37 ============ Mat 27:37 And set up over his head his accusation written, THIS IS JESUS THE KING OF THE JEWS.(KJV-1611) Mat 27:37 Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.(Creole-HT) ======= Matthew 27:38 ============ Mat 27:38 Then were there two thieves crucified with him, one on the right hand, and another on the left.(KJV-1611) Mat 27:38 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa an menm tan avè l', yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.(Creole-HT) ======= Matthew 27:39 ============ Mat 27:39 And they that passed by reviled him, wagging their heads,(KJV-1611) Mat 27:39 Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:40 ============ Mat 27:40 And saying, Thou that destroyest the temple, and buildest it in three days, save thyself. If thou be the Son of God, come down from the cross.(KJV-1611) Mat 27:40 Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!(Creole-HT) ======= Matthew 27:41 ============ Mat 27:41 Likewise also the chief priests mocking him, with the scribes and elders, said,(KJV-1611) Mat 27:41 Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:(Creole-HT) ======= Matthew 27:42 ============ Mat 27:42 He saved others; himself he cannot save. If he be the King of Israel, let him now come down from the cross, and we will believe him.(KJV-1611) Mat 27:42 Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:43 ============ Mat 27:43 He trusted in God; let him deliver him now, if he will have him: for he said, I am the Son of God.(KJV-1611) Mat 27:43 Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:44 ============ Mat 27:44 The thieves also, which were crucified with him, cast the same in his teeth.(KJV-1611) Mat 27:44 Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' menm jan an tou.(Creole-HT) ======= Matthew 27:45 ============ Mat 27:45 Now from the sixth hour there was darkness over all the land unto the ninth hour.(KJV-1611) Mat 27:45 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.(Creole-HT) ======= Matthew 27:46 ============ Mat 27:46 And about the ninth hour Jesus cried with a loud voice, saying, Eli, Eli, lama sabachthani? that is to say, My God, my God, why hast thou forsaken me?(KJV-1611) Mat 27:46 Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)(Creole-HT) ======= Matthew 27:47 ============ Mat 27:47 Some of them that stood there, when they heard that, said, This man calleth for Elias.(KJV-1611) Mat 27:47 Nan moun ki te la yo genyen ki tande l' pale. Yo di: Men l'ap rele Eli.(Creole-HT) ======= Matthew 27:48 ============ Mat 27:48 And straightway one of them ran, and took a spunge, and filled it with vinegar, and put it on a reed, and gave him to drink.(KJV-1611) Mat 27:48 Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l' nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè.(Creole-HT) ======= Matthew 27:49 ============ Mat 27:49 The rest said, Let be, let us see whether Elias will come to save him.(KJV-1611) Mat 27:49 Men, lòt moun yo di: Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:50 ============ Mat 27:50 Jesus, when he had cried again with a loud voice, yielded up the ghost.(KJV-1611) Mat 27:50 Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 27:51 ============ Mat 27:51 And, behold, the veil of the temple was rent in twain from the top to the bottom; and the earth did quake, and the rocks rent;(KJV-1611) Mat 27:51 Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.(Creole-HT) ======= Matthew 27:52 ============ Mat 27:52 And the graves were opened; and many bodies of the saints which slept arose,(KJV-1611) Mat 27:52 Tonm mò yo louvri, kò anpil moun pèp Bondye a ki te mouri leve vivan ankò, yo soti nan tonm yo.(Creole-HT) ======= Matthew 27:53 ============ Mat 27:53 And came out of the graves after his resurrection, and went into the holy city, and appeared unto many.(KJV-1611) Mat 27:53 Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.(Creole-HT) ======= Matthew 27:54 ============ Mat 27:54 Now when the centurion, and they that were with him, watching Jesus, saw the earthquake, and those things that were done, they feared greatly, saying, Truly this was the Son of God.(KJV-1611) Mat 27:54 Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Matthew 27:55 ============ Mat 27:55 And many women were there beholding afar off, which followed Jesus from Galilee, ministering unto him:(KJV-1611) Mat 27:55 Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= Matthew 27:56 ============ Mat 27:56 Among which was Mary Magdalene, and Mary the mother of James and Joses, and the mother of Zebedees children.(KJV-1611) Mat 27:56 Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.(Creole-HT) ======= Matthew 27:57 ============ Mat 27:57 When the even was come, there came a rich man of Arimathaea, named Joseph, who also himself was Jesus' disciple:(KJV-1611) Mat 27:57 Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.(Creole-HT) ======= Matthew 27:58 ============ Mat 27:58 He went to Pilate, and begged the body of Jesus. Then Pilate commanded the body to be delivered.(KJV-1611) Mat 27:58 li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:59 ============ Mat 27:59 And when Joseph had taken the body, he wrapped it in a clean linen cloth,(KJV-1611) Mat 27:59 Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.(Creole-HT) ======= Matthew 27:60 ============ Mat 27:60 And laid it in his own new tomb, which he had hewn out in the rock: and he rolled a great stone to the door of the sepulchre, and departed.(KJV-1611) Mat 27:60 Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.(Creole-HT) ======= Matthew 27:61 ============ Mat 27:61 And there was Mary Magdalene, and the other Mary, sitting over against the sepulchre.(KJV-1611) Mat 27:61 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:62 ============ Mat 27:62 Now the next day, that followed the day of the preparation, the chief priests and Pharisees came together unto Pilate,(KJV-1611) Mat 27:62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.(Creole-HT) ======= Matthew 27:63 ============ Mat 27:63 Saying, Sir, we remember that that deceiver said, while he was yet alive, After three days I will rise again.(KJV-1611) Mat 27:63 Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.(Creole-HT) ======= Matthew 27:64 ============ Mat 27:64 Command therefore that the sepulchre be made sure until the third day, lest his disciples come by night, and steal him away, and say unto the people, He is risen from the dead: so the last error shall be worse than the first.(KJV-1611) Mat 27:64 Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:65 ============ Mat 27:65 Pilate said unto them, Ye have a watch: go your way, make it as sure as ye can.(KJV-1611) Mat 27:65 Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.(Creole-HT) ======= Matthew 27:66 ============ Mat 27:66 So they went, and made the sepulchre sure, sealing the stone, and setting a watch.(KJV-1611) Mat 27:66 Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.(Creole-HT) ======= Matthew 28:1 ============ Mat 28:1 In the end of the sabbath, as it began to dawn toward the first day of the week, came Mary Magdalene and the other Mary to see the sepulchre.(KJV-1611) Mat 28:1 Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo(Creole-HT) ======= Matthew 28:2 ============ Mat 28:2 And, behold, there was a great earthquake: for the angel of the Lord descended from heaven, and came and rolled back the stone from the door, and sat upon it.(KJV-1611) Mat 28:2 Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.(Creole-HT) ======= Matthew 28:3 ============ Mat 28:3 His countenance was like lightning, and his raiment white as snow:(KJV-1611) Mat 28:3 Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.(Creole-HT) ======= Matthew 28:4 ============ Mat 28:4 And for fear of him the keepers did shake, and became as dead men.(KJV-1611) Mat 28:4 Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.(Creole-HT) ======= Matthew 28:5 ============ Mat 28:5 And the angel answered and said unto the women, Fear not ye: for I know that ye seek Jesus, which was crucified.(KJV-1611) Mat 28:5 Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:6 ============ Mat 28:6 He is not here: for he is risen, as he said. Come, see the place where the Lord lay.(KJV-1611) Mat 28:6 Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:7 ============ Mat 28:7 And go quickly, and tell his disciples that he is risen from the dead; and, behold, he goeth before you into Galilee; there shall ye see him: lo, I have told you.(KJV-1611) Mat 28:7 Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou.(Creole-HT) ======= Matthew 28:8 ============ Mat 28:8 And they departed quickly from the sepulchre with fear and great joy; and did run to bring his disciples word.(KJV-1611) Mat 28:8 Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.(Creole-HT) ======= Matthew 28:9 ============ Mat 28:9 And as they went to tell his disciples, behold, Jesus met them, saying, All hail. And they came and held him by the feet, and worshipped him.(KJV-1611) Mat 28:9 Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li.(Creole-HT) ======= Matthew 28:10 ============ Mat 28:10 Then said Jesus unto them, Be not afraid: go tell my brethren that they go into Galilee, and there shall they see me.(KJV-1611) Mat 28:10 Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.(Creole-HT) ======= Matthew 28:11 ============ Mat 28:11 Now when they were going, behold, some of the watch came into the city, and shewed unto the chief priests all the things that were done.(KJV-1611) Mat 28:11 Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.(Creole-HT) ======= Matthew 28:12 ============ Mat 28:12 And when they were assembled with the elders, and had taken counsel, they gave large money unto the soldiers,(KJV-1611) Mat 28:12 Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.(Creole-HT) ======= Matthew 28:13 ============ Mat 28:13 Saying, Say ye, His disciples came by night, and stole him away while we slept.(KJV-1611) Mat 28:13 Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Matthew 28:14 ============ Mat 28:14 And if this come to the governor's ears, we will persuade him, and secure you.(KJV-1611) Mat 28:14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n' pale avè l' pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.(Creole-HT) ======= Matthew 28:15 ============ Mat 28:15 So they took the money, and did as they were taught: and this saying is commonly reported among the Jews until this day.(KJV-1611) Mat 28:15 Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l' la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:16 ============ Mat 28:16 Then the eleven disciples went away into Galilee, into a mountain where Jesus had appointed them.(KJV-1611) Mat 28:16 Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:17 ============ Mat 28:17 And when they saw him, they worshipped him: but some doubted.(KJV-1611) Mat 28:17 Lè yo wè l', yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t' fin kwè nèt.(Creole-HT) ======= Matthew 28:18 ============ Mat 28:18 And Jesus came and spake unto them, saying, All power is given unto me in heaven and in earth.(KJV-1611) Mat 28:18 Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:19 ============ Mat 28:19 Go ye therefore, and teach all nations, baptizing them in the name of the Father, and of the Son, and of the Holy Ghost:(KJV-1611) Mat 28:19 Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.(Creole-HT) ======= Matthew 28:20 ============ Mat 28:20 Teaching them to observe all things whatsoever I have commanded you: and, lo, I am with you alway, even unto the end of the world. Amen.(KJV-1611) Mat 28:20 Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Mark 1:1 ============ Mar 1:1 The beginning of the gospel of Jesus Christ, the Son of God;(KJV-1611) Mar 1:1 Men konmansman Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri, Pitit Bondye a.(Creole-HT) ======= Mark 1:2 ============ Mar 1:2 As it is written in the prophets, Behold, I send my messenger before thy face, which shall prepare thy way before thee.(KJV-1611) Mar 1:2 Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.(Creole-HT) ======= Mark 1:3 ============ Mar 1:3 The voice of one crying in the wilderness, Prepare ye the way of the Lord, make his paths straight.(KJV-1611) Mar 1:3 Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.(Creole-HT) ======= Mark 1:4 ============ Mar 1:4 John did baptize in the wilderness, and preach the baptism of repentance for the remission of sins.(KJV-1611) Mar 1:4 Se konsa Jan te parèt nan dezè a, li t'ap batize, li t'ap mache bay mesaj sa a: -Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm, epi Bondye va padonnen peche nou yo.(Creole-HT) ======= Mark 1:5 ============ Mar 1:5 And there went out unto him all the land of Judaea, and they of Jerusalem, and were all baptized of him in the river of Jordan, confessing their sins.(KJV-1611) Mar 1:5 Tout moun nan peyi Jide a ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan te vin jwenn li: yo te konfese peche yo devan tout moun, epi Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Mark 1:6 ============ Mar 1:6 And John was clothed with camel's hair, and with a girdle of a skin about his loins; and he did eat locusts and wild honey;(KJV-1611) Mar 1:6 Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje.(Creole-HT) ======= Mark 1:7 ============ Mar 1:7 And preached, saying, There cometh one mightier than I after me, the latchet of whose shoes I am not worthy to stoop down and unloose.(KJV-1611) Mar 1:7 Li t'ap mache bay mesaj sa a: -Moun k'ap vin apre m' lan gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase pou m' ta bese demare sapat ki nan pye li.(Creole-HT) ======= Mark 1:8 ============ Mar 1:8 I indeed have baptized you with water: but he shall baptize you with the Holy Ghost.(KJV-1611) Mar 1:8 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, la batize nou nan Sentespri a.(Creole-HT) ======= Mark 1:9 ============ Mar 1:9 And it came to pass in those days, that Jesus came from Nazareth of Galilee, and was baptized of John in Jordan.(KJV-1611) Mar 1:9 Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an.(Creole-HT) ======= Mark 1:10 ============ Mar 1:10 And straightway coming up out of the water, he saw the heavens opened, and the Spirit like a dove descending upon him:(KJV-1611) Mar 1:10 Antan Jezi t'ap soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon.(Creole-HT) ======= Mark 1:11 ============ Mar 1:11 And there came a voice from heaven, saying, Thou art my beloved Son, in whom I am well pleased.(KJV-1611) Mar 1:11 Li tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di: -Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m' kontan anpil.(Creole-HT) ======= Mark 1:12 ============ Mar 1:12 And immediately the spirit driveth him into the wilderness.(KJV-1611) Mar 1:12 Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a.(Creole-HT) ======= Mark 1:13 ============ Mar 1:13 And he was there in the wilderness forty days, tempted of Satan; and was with the wild beasts; and the angels ministered unto him.(KJV-1611) Mar 1:13 Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.(Creole-HT) ======= Mark 1:14 ============ Mar 1:14 Now after that John was put in prison, Jesus came into Galilee, preaching the gospel of the kingdom of God,(KJV-1611) Mar 1:14 Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l' te fè konnen Bon Nouvèl Bondye voye a.(Creole-HT) ======= Mark 1:15 ============ Mar 1:15 And saying, The time is fulfilled, and the kingdom of God is at hand: repent ye, and believe the gospel.(KJV-1611) Mar 1:15 Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.(Creole-HT) ======= Mark 1:16 ============ Mar 1:16 Now as he walked by the sea of Galilee, he saw Simon and Andrew his brother casting a net into the sea: for they were fishers.(KJV-1611) Mar 1:16 Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a.(Creole-HT) ======= Mark 1:17 ============ Mar 1:17 And Jesus said unto them, Come ye after me, and I will make you to become fishers of men.(KJV-1611) Mar 1:17 Jezi di yo konsa: -vin jwenn mwen. m'a fè nou tounen pechè moun pito.(Creole-HT) ======= Mark 1:18 ============ Mar 1:18 And straightway they forsook their nets, and followed him.(KJV-1611) Mar 1:18 Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li.(Creole-HT) ======= Mark 1:19 ============ Mar 1:19 And when he had gone a little farther thence, he saw James the son of Zebedee, and John his brother, who also were in the ship mending their nets.(KJV-1611) Mar 1:19 Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo.(Creole-HT) ======= Mark 1:20 ============ Mar 1:20 And straightway he called them: and they left their father Zebedee in the ship with the hired servants, and went after him.(KJV-1611) Mar 1:20 Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 1:21 ============ Mar 1:21 And they went into Capernaum; and straightway on the sabbath day he entered into the synagogue, and taught.(KJV-1611) Mar 1:21 Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Mark 1:22 ============ Mar 1:22 And they were astonished at his doctrine: for he taught them as one that had authority, and not as the scribes.(KJV-1611) Mar 1:22 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo. Se pa t' menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.(Creole-HT) ======= Mark 1:23 ============ Mar 1:23 And there was in their synagogue a man with an unclean spirit; and he cried out,(KJV-1611) Mar 1:23 Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:(Creole-HT) ======= Mark 1:24 ============ Mar 1:24 Saying, Let us alone; what have we to do with thee, thou Jesus of Nazareth? art thou come to destroy us? I know thee who thou art, the Holy One of God.(KJV-1611) Mar 1:24 -ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.(Creole-HT) ======= Mark 1:25 ============ Mar 1:25 And Jesus rebuked him, saying, Hold thy peace, and come out of him.(KJV-1611) Mar 1:25 Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: -Pe la! Soti sou nonm sa a.(Creole-HT) ======= Mark 1:26 ============ Mar 1:26 And when the unclean spirit had torn him, and cried with a loud voice, he came out of him.(KJV-1611) Mar 1:26 Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale.(Creole-HT) ======= Mark 1:27 ============ Mar 1:27 And they were all amazed, insomuch that they questioned among themselves, saying, What thing is this? what new doctrine is this? for with authority commandeth he even the unclean spirits, and they do obey him.(KJV-1611) Mar 1:27 Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: -Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li.(Creole-HT) ======= Mark 1:28 ============ Mar 1:28 And immediately his fame spread abroad throughout all the region round about Galilee.(KJV-1611) Mar 1:28 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan peyi Galile a.(Creole-HT) ======= Mark 1:29 ============ Mar 1:29 And forthwith, when they were come out of the synagogue, they entered into the house of Simon and Andrew, with James and John.(KJV-1611) Mar 1:29 Apre sa, yo soti kite sinagòg la, y' ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.(Creole-HT) ======= Mark 1:30 ============ Mar 1:30 But Simon's wife's mother lay sick of a fever, and anon they tell him of her.(KJV-1611) Mar 1:30 Bèlmè Simon an te kouche ak lafyèv. Rive Jezi rive lakay la, yo di l' sa.(Creole-HT) ======= Mark 1:31 ============ Mar 1:31 And he came and took her by the hand, and lifted her up; and immediately the fever left her, and she ministered unto them.(KJV-1611) Mar 1:31 Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.(Creole-HT) ======= Mark 1:32 ============ Mar 1:32 And at even, when the sun did set, they brought unto him all that were diseased, and them that were possessed with devils.(KJV-1611) Mar 1:32 Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 1:33 ============ Mar 1:33 And all the city was gathered together at the door.(KJV-1611) Mar 1:33 Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la.(Creole-HT) ======= Mark 1:34 ============ Mar 1:34 And he healed many that were sick of divers diseases, and cast out many devils; and suffered not the devils to speak, because they knew him.(KJV-1611) Mar 1:34 Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.(Creole-HT) ======= Mark 1:35 ============ Mar 1:35 And in the morning, rising up a great while before day, he went out, and departed into a solitary place, and there prayed.(KJV-1611) Mar 1:35 Nan granmaten, byen bonè, li pa t' ankò fè klè, Jezi leve, li soti li kite lavil la, li al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Mark 1:36 ============ Mar 1:36 And Simon and they that were with him followed after him.(KJV-1611) Mar 1:36 Simon ak lòt zanmi l' yo soti, yo t'ap chache Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 1:37 ============ Mar 1:37 And when they had found him, they said unto him, All men seek for thee.(KJV-1611) Mar 1:37 Lè yo jwenn li, yo di l' konsa: -Tout moun ap chache ou wi.(Creole-HT) ======= Mark 1:38 ============ Mar 1:38 And he said unto them, Let us go into the next towns, that I may preach there also: for therefore came I forth.(KJV-1611) Mar 1:38 Men li reponn yo: -Ann al yon lòt kote, nan lòt bouk yo nan vwazinaj la. Fòk mwen fè yo konnen mesaj la tou. Se pou sa menm mwen vini.(Creole-HT) ======= Mark 1:39 ============ Mar 1:39 And he preached in their synagogues throughout all Galilee, and cast out devils.(KJV-1611) Mar 1:39 Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.(Creole-HT) ======= Mark 1:40 ============ Mar 1:40 And there came a leper to him, beseeching him, and kneeling down to him, and saying unto him, If thou wilt, thou canst make me clean.(KJV-1611) Mar 1:40 Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.(Creole-HT) ======= Mark 1:41 ============ Mar 1:41 And Jesus, moved with compassion, put forth his hand, and touched him, and saith unto him, I will; be thou clean.(KJV-1611) Mar 1:41 Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.(Creole-HT) ======= Mark 1:42 ============ Mar 1:42 And as soon as he had spoken, immediately the leprosy departed from him, and he was cleansed.(KJV-1611) Mar 1:42 Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 1:43 ============ Mar 1:43 And he straitly charged him, and forthwith sent him away;(KJV-1611) Mar 1:43 Apre sa, Jezi voye l' ale, li pase l' lòd byen sevè.(Creole-HT) ======= Mark 1:44 ============ Mar 1:44 And saith unto him, See thou say nothing to any man: but go thy way, shew thyself to the priest, and offer for thy cleansing those things which Moses commanded, for a testimony unto them.(KJV-1611) Mar 1:44 Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.(Creole-HT) ======= Mark 1:45 ============ Mar 1:45 But he went out, and began to publish it much, and to blaze abroad the matter, insomuch that Jesus could no more openly enter into the city, but was without in desert places: and they came to him from every quarter.(KJV-1611) Mar 1:45 Men, nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa t' kapab antre ankò nan okenn lavil pou moun pa t' wè li. Li te pito rete andeyò, kote ki pa gen moun. Men, moun te soti toupatou vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Mark 2:1 ============ Mar 2:1 And again he entered into Capernaum after some days; and it was noised that he was in the house.(KJV-1611) Mar 2:1 Kèk jou apre sa, Jezi tounen Kapènawòm. Yo tande li te lakay li.(Creole-HT) ======= Mark 2:2 ============ Mar 2:2 And straightway many were gathered together, insomuch that there was no room to receive them, no, not so much as about the door: and he preached the word unto them.(KJV-1611) Mar 2:2 Te sitèlman gen moun ki te sanble, pa t' gen plas ankò, pa menm devan pòt kay la. Jezi menm t'ap anonse yo pawòl la.(Creole-HT) ======= Mark 2:3 ============ Mar 2:3 And they come unto him, bringing one sick of the palsy, which was borne of four.(KJV-1611) Mar 2:3 Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 2:4 ============ Mar 2:4 And when they could not come nigh unto him for the press, they uncovered the roof where he was: and when they had broken it up, they let down the bed wherein the sick of the palsy lay.(KJV-1611) Mar 2:4 Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.(Creole-HT) ======= Mark 2:5 ============ Mar 2:5 When Jesus saw their faith, he said unto the sick of the palsy, Son, thy sins be forgiven thee.(KJV-1611) Mar 2:5 Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.(Creole-HT) ======= Mark 2:6 ============ Mar 2:6 But there was certain of the scribes sitting there, and reasoning in their hearts,(KJV-1611) Mar 2:6 Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo:(Creole-HT) ======= Mark 2:7 ============ Mar 2:7 Why doth this man thus speak blasphemies? who can forgive sins but God only?(KJV-1611) Mar 2:7 -Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.(Creole-HT) ======= Mark 2:8 ============ Mar 2:8 And immediately when Jesus perceived in his spirit that they so reasoned within themselves, he said unto them, Why reason ye these things in your hearts?(KJV-1611) Mar 2:8 Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?(Creole-HT) ======= Mark 2:9 ============ Mar 2:9 Whether is it easier to say to the sick of the palsy, Thy sins be forgiven thee; or to say, Arise, and take up thy bed, and walk?(KJV-1611) Mar 2:9 Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache?(Creole-HT) ======= Mark 2:10 ============ Mar 2:10 But that ye may know that the Son of man hath power on earth to forgive sins, (he saith to the sick of the palsy,)(KJV-1611) Mar 2:10 Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a:(Creole-HT) ======= Mark 2:11 ============ Mar 2:11 I say unto thee, Arise, and take up thy bed, and go thy way into thine house.(KJV-1611) Mar 2:11 -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.(Creole-HT) ======= Mark 2:12 ============ Mar 2:12 And immediately he arose, took up the bed, and went forth before them all; insomuch that they were all amazed, and glorified God, saying, We never saw it on this fashion.(KJV-1611) Mar 2:12 Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa.(Creole-HT) ======= Mark 2:13 ============ Mar 2:13 And he went forth again by the sea side; and all the multitude resorted unto him, and he taught them.(KJV-1611) Mar 2:13 Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Mark 2:14 ============ Mar 2:14 And as he passed by, he saw Levi the son of Alphaeus sitting at the receipt of custom, and said unto him, Follow me. And he arose and followed him.(KJV-1611) Mar 2:14 Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 2:15 ============ Mar 2:15 And it came to pass, that, as Jesus sat at meat in his house, many publicans and sinners sat also together with Jesus and his disciples: for there were many, and they followed him.(KJV-1611) Mar 2:15 Pita, Jezi t'ap manje lakay Levi. Te gen anpil lòt pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki t'ap swiv Jezi. Tout moun sa yo te chita bò tab avè l' ansanm ak disip li yo.(Creole-HT) ======= Mark 2:16 ============ Mar 2:16 And when the scribes and Pharisees saw him eat with publicans and sinners, they said unto his disciples, How is it that he eateth and drinketh with publicans and sinners?(KJV-1611) Mar 2:16 Kèk direktè lalwa ki te fè pati bann farizyen yo wè Jezi ap manje ak pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo. Yo mande disip li yo: -Poukisa l'ap manje ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?(Creole-HT) ======= Mark 2:17 ============ Mar 2:17 When Jesus heard it, he saith unto them, They that are whole have no need of the physician, but they that are sick: I came not to call the righteous, but sinners to repentance.(KJV-1611) Mar 2:17 Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.(Creole-HT) ======= Mark 2:18 ============ Mar 2:18 And the disciples of John and of the Pharisees used to fast: and they come and say unto him, Why do the disciples of John and of the Pharisees fast, but thy disciples fast not?(KJV-1611) Mar 2:18 Yon jou, patizan Jan Batis yo t'ap fè jèn ansanm ak farizyen yo. Gen moun ki vin di Jezi konsa: -Poukisa patizan Jan Batis yo avèk disip farizyen yo fè jèn, epi disip pa ou yo pa fè jèn?(Creole-HT) ======= Mark 2:19 ============ Mar 2:19 And Jesus said unto them, Can the children of the bridechamber fast, while the bridegroom is with them? as long as they have the bridegroom with them, they cannot fast.(KJV-1611) Mar 2:19 Jezi reponn yo: -Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab rete san manje toutotan li la avèk yo? Non, toutotan nonm k'ap marye a la avèk yo, yo pa kapab rete san manje.(Creole-HT) ======= Mark 2:20 ============ Mar 2:20 But the days will come, when the bridegroom shall be taken away from them, and then shall they fast in those days.(KJV-1611) Mar 2:20 Men, lè lè a va rive pou l' pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.(Creole-HT) ======= Mark 2:21 ============ Mar 2:21 No man also seweth a piece of new cloth on an old garment: else the new piece that filled it up taketh away from the old, and the rent is made worse.(KJV-1611) Mar 2:21 Pesonn pa pyese yon vye rad ak yon moso twal nèf. Si ou fè sa, moso nèf la va pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la chire pi mal.(Creole-HT) ======= Mark 2:22 ============ Mar 2:22 And no man putteth new wine into old bottles: else the new wine doth burst the bottles, and the wine is spilled, and the bottles will be marred: but new wine must be put into new bottles.(KJV-1611) Mar 2:22 Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso an po. Si ou fè sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pèdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.(Creole-HT) ======= Mark 2:23 ============ Mar 2:23 And it came to pass, that he went through the corn fields on the sabbath day; and his disciples began, as they went, to pluck the ears of corn.(KJV-1611) Mar 2:23 Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avè l', yo pran keyi kèk grap ble.(Creole-HT) ======= Mark 2:24 ============ Mar 2:24 And the Pharisees said unto him, Behold, why do they on the sabbath day that which is not lawful?(KJV-1611) Mar 2:24 Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?(Creole-HT) ======= Mark 2:25 ============ Mar 2:25 And he said unto them, Have ye never read what David did, when he had need, and was an hungred, he, and they that were with him?(KJV-1611) Mar 2:25 Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou?(Creole-HT) ======= Mark 2:26 ============ Mar 2:26 How he went into the house of God in the days of Abiathar the high priest, and did eat the shewbread, which is not lawful to eat but for the priests, and gave also to them which were with him?(KJV-1611) Mar 2:26 Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou.(Creole-HT) ======= Mark 2:27 ============ Mar 2:27 And he said unto them, The sabbath was made for man, and not man for the sabbath:(KJV-1611) Mar 2:27 Jezi di yo ankò: -Jou repo a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou jou repo a.(Creole-HT) ======= Mark 2:28 ============ Mar 2:28 Therefore the Son of man is Lord also of the sabbath.(KJV-1611) Mar 2:28 Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.(Creole-HT) ======= Mark 3:1 ============ Mar 3:1 And he entered again into the synagogue; and there was a man there which had a withered hand.(KJV-1611) Mar 3:1 Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.(Creole-HT) ======= Mark 3:2 ============ Mar 3:2 And they watched him, whether he would heal him on the sabbath day; that they might accuse him.(KJV-1611) Mar 3:2 Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.(Creole-HT) ======= Mark 3:3 ============ Mar 3:3 And he saith unto the man which had the withered hand, Stand forth.(KJV-1611) Mar 3:3 Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Mark 3:4 ============ Mar 3:4 And he saith unto them, Is it lawful to do good on the sabbath days, or to do evil? to save life, or to kill? But they held their peace.(KJV-1611) Mar 3:4 Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.(Creole-HT) ======= Mark 3:5 ============ Mar 3:5 And when he had looked round about on them with anger, being grieved for the hardness of their hearts, he saith unto the man, Stretch forth thine hand. And he stretched it out: and his hand was restored whole as the other.(KJV-1611) Mar 3:5 Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.(Creole-HT) ======= Mark 3:6 ============ Mar 3:6 And the Pharisees went forth, and straightway took counsel with the Herodians against him, how they might destroy him.(KJV-1611) Mar 3:6 Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y' al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 3:7 ============ Mar 3:7 But Jesus withdrew himself with his disciples to the sea: and a great multitude from Galilee followed him, and from Judaea,(KJV-1611) Mar 3:7 Jezi wete kò l' ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,(Creole-HT) ======= Mark 3:8 ============ Mar 3:8 And from Jerusalem, and from Idumaea, and from beyond Jordan; and they about Tyre and Sidon, a great multitude, when they had heard what great things he did, came unto him.(KJV-1611) Mar 3:8 moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l' t'ap fè.(Creole-HT) ======= Mark 3:9 ============ Mar 3:9 And he spake to his disciples, that a small ship should wait on him because of the multitude, lest they should throng him.(KJV-1611) Mar 3:9 Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t' toufe l' twòp.(Creole-HT) ======= Mark 3:10 ============ Mar 3:10 For he had healed many; insomuch that they pressed upon him for to touch him, as many as had plagues.(KJV-1611) Mar 3:10 Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.(Creole-HT) ======= Mark 3:11 ============ Mar 3:11 And unclean spirits, when they saw him, fell down before him, and cried, saying, Thou art the Son of God.(KJV-1611) Mar 3:11 Chak fwa move lespri yo te wè l', yo te tonbe nan pye l' ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.(Creole-HT) ======= Mark 3:12 ============ Mar 3:12 And he straitly charged them that they should not make him known.(KJV-1611) Mar 3:12 Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t' di ki moun li te ye.(Creole-HT) ======= Mark 3:13 ============ Mar 3:13 And he goeth up into a mountain, and calleth unto him whom he would: and they came unto him.(KJV-1611) Mar 3:13 Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Mark 3:14 ============ Mar 3:14 And he ordained twelve, that they should be with him, and that he might send them forth to preach,(KJV-1611) Mar 3:14 Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.(Creole-HT) ======= Mark 3:15 ============ Mar 3:15 And to have power to heal sicknesses, and to cast out devils:(KJV-1611) Mar 3:15 Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.(Creole-HT) ======= Mark 3:16 ============ Mar 3:16 And Simon he surnamed Peter;(KJV-1611) Mar 3:16 Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),(Creole-HT) ======= Mark 3:17 ============ Mar 3:17 And James the son of Zebedee, and John the brother of James; and he surnamed them Boanerges, which is, The sons of thunder:(KJV-1611) Mar 3:17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l' la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.(Creole-HT) ======= Mark 3:18 ============ Mar 3:18 And Andrew, and Philip, and Bartholomew, and Matthew, and Thomas, and James the son of Alphaeus, and Thaddaeus, and Simon the Canaanite,(KJV-1611) Mar 3:18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,(Creole-HT) ======= Mark 3:19 ============ Mar 3:19 And Judas Iscariot, which also betrayed him: and they went into an house.(KJV-1611) Mar 3:19 ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.(Creole-HT) ======= Mark 3:20 ============ Mar 3:20 And the multitude cometh together again, so that they could not so much as eat bread.(KJV-1611) Mar 3:20 Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.(Creole-HT) ======= Mark 3:21 ============ Mar 3:21 And when his friends heard of it, they went out to lay hold on him: for they said, He is beside himself.(KJV-1611) Mar 3:21 Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l' paske tout moun t'ap di: -Nonm sa a fou.(Creole-HT) ======= Mark 3:22 ============ Mar 3:22 And the scribes which came down from Jerusalem said, He hath Beelzebub, and by the prince of the devils casteth he out devils.(KJV-1611) Mar 3:22 Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t'ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.(Creole-HT) ======= Mark 3:23 ============ Mar 3:23 And he called them unto him, and said unto them in parables, How can Satan cast out Satan?(KJV-1611) Mar 3:23 Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?(Creole-HT) ======= Mark 3:24 ============ Mar 3:24 And if a kingdom be divided against itself, that kingdom cannot stand.(KJV-1611) Mar 3:24 Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Mark 3:25 ============ Mar 3:25 And if a house be divided against itself, that house cannot stand.(KJV-1611) Mar 3:25 Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.(Creole-HT) ======= Mark 3:26 ============ Mar 3:26 And if Satan rise up against himself, and be divided, he cannot stand, but hath an end.(KJV-1611) Mar 3:26 Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini.(Creole-HT) ======= Mark 3:27 ============ Mar 3:27 No man can enter into a strong man's house, and spoil his goods, except he will first bind the strong man; and then he will spoil his house.(KJV-1611) Mar 3:27 Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l' genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l', la piye kay la.(Creole-HT) ======= Mark 3:28 ============ Mar 3:28 Verily I say unto you, All sins shall be forgiven unto the sons of men, and blasphemies wherewith soever they shall blaspheme:(KJV-1611) Mar 3:28 Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Mark 3:29 ============ Mar 3:29 But he that shall blaspheme against the Holy Ghost hath never forgiveness, but is in danger of eternal damnation.(KJV-1611) Mar 3:29 Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan.(Creole-HT) ======= Mark 3:30 ============ Mar 3:30 Because they said, He hath an unclean spirit.(KJV-1611) Mar 3:30 Jezi te pale konsa paske yo t'ap di-Li gen yon move lespri sou li.(Creole-HT) ======= Mark 3:31 ============ Mar 3:31 There came then his brethren and his mother, and, standing without, sent unto him, calling him.(KJV-1611) Mar 3:31 Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.(Creole-HT) ======= Mark 3:32 ============ Mar 3:32 And the multitude sat about him, and they said unto him, Behold, thy mother and thy brethren without seek for thee.(KJV-1611) Mar 3:32 Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l' konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou.(Creole-HT) ======= Mark 3:33 ============ Mar 3:33 And he answered them, saying, Who is my mother, or my brethren?(KJV-1611) Mar 3:33 Li reponn yo: -Kilès ki manman m', kilès ki frè mwen?(Creole-HT) ======= Mark 3:34 ============ Mar 3:34 And he looked round about on them which sat about him, and said, Behold my mother and my brethren!(KJV-1611) Mar 3:34 Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo.(Creole-HT) ======= Mark 3:35 ============ Mar 3:35 For whosoever shall do the will of God, the same is my brother, and my sister, and mother.(KJV-1611) Mar 3:35 Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m', ki sè m', ki manman mwen.(Creole-HT) ======= Mark 4:1 ============ Mar 4:1 And he began again to teach by the sea side: and there was gathered unto him a great multitude, so that he entered into a ship, and sat in the sea; and the whole multitude was by the sea on the land.(KJV-1611) Mar 4:1 Jezi te rekòmanse ap bay mesaj la bò lanmè Galile a ankò. Foul moun ki te sanble bò kote l' la te sitèlman anpil, li te blije moute chita nan yon kannòt ki te sou lanmè a. Tout foul moun yo menm te rete atè sou rivaj la, toupre dlo a.(Creole-HT) ======= Mark 4:2 ============ Mar 4:2 And he taught them many things by parables, and said unto them in his doctrine,(KJV-1611) Mar 4:2 Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Mark 4:3 ============ Mar 4:3 Hearken; Behold, there went out a sower to sow:(KJV-1611) Mar 4:3 -Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li.(Creole-HT) ======= Mark 4:4 ============ Mar 4:4 And it came to pass, as he sowed, some fell by the way side, and the fowls of the air came and devoured it up.(KJV-1611) Mar 4:4 Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.(Creole-HT) ======= Mark 4:5 ============ Mar 4:5 And some fell on stony ground, where it had not much earth; and immediately it sprang up, because it had no depth of earth:(KJV-1611) Mar 4:5 Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t' fon.(Creole-HT) ======= Mark 4:6 ============ Mar 4:6 But when the sun was up, it was scorched; and because it had no root, it withered away.(KJV-1611) Mar 4:6 Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t' fon.(Creole-HT) ======= Mark 4:7 ============ Mar 4:7 And some fell among thorns, and the thorns grew up, and choked it, and it yielded no fruit.(KJV-1611) Mar 4:7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen.(Creole-HT) ======= Mark 4:8 ============ Mar 4:8 And other fell on good ground, and did yield fruit that sprang up and increased; and brought forth, some thirty, and some sixty, and some an hundred.(KJV-1611) Mar 4:8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san .(Creole-HT) ======= Mark 4:9 ============ Mar 4:9 And he said unto them, He that hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mar 4:9 Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande.(Creole-HT) ======= Mark 4:10 ============ Mar 4:10 And when he was alone, they that were about him with the twelve asked of him the parable.(KJV-1611) Mar 4:10 Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l' yo ansanm ak douz disip li yo di li: -Esplike nou parabòl sa a non.(Creole-HT) ======= Mark 4:11 ============ Mar 4:11 And he said unto them, Unto you it is given to know the mystery of the kingdom of God: but unto them that are without, all these things are done in parables:(KJV-1611) Mar 4:11 Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl.(Creole-HT) ======= Mark 4:12 ============ Mar 4:12 That seeing they may see, and not perceive; and hearing they may hear, and not understand; lest at any time they should be converted, and their sins should be forgiven them.(KJV-1611) Mar 4:12 Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.(Creole-HT) ======= Mark 4:13 ============ Mar 4:13 And he said unto them, Know ye not this parable? and how then will ye know all parables?(KJV-1611) Mar 4:13 Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n'a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute!(Creole-HT) ======= Mark 4:14 ============ Mar 4:14 The sower soweth the word.(KJV-1611) Mar 4:14 Nonm k'ap simen an, se pawòl Bondye a l'ap simen.(Creole-HT) ======= Mark 4:15 ============ Mar 4:15 And these are they by the way side, where the word is sown; but when they have heard, Satan cometh immediately, and taketh away the word that was sown in their hearts.(KJV-1611) Mar 4:15 Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l', Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.(Creole-HT) ======= Mark 4:16 ============ Mar 4:16 And these are they likewise which are sown on stony ground; who, when they have heard the word, immediately receive it with gladness;(KJV-1611) Mar 4:16 Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Mark 4:17 ============ Mar 4:17 And have no root in themselves, and so endure but for a time: afterward, when affliction or persecution ariseth for the word's sake, immediately they are offended.(KJV-1611) Mar 4:17 Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Mark 4:18 ============ Mar 4:18 And these are they which are sown among thorns; such as hear the word,(KJV-1611) Mar 4:18 Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la,(Creole-HT) ======= Mark 4:19 ============ Mar 4:19 And the cares of this world, and the deceitfulness of riches, and the lusts of other things entering in, choke the word, and it becometh unfruitful.(KJV-1611) Mar 4:19 men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm.(Creole-HT) ======= Mark 4:20 ============ Mar 4:20 And these are they which are sown on good ground; such as hear the word, and receive it, and bring forth fruit, some thirtyfold, some sixty, and some an hundred.(KJV-1611) Mar 4:20 Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l' epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san pou yonn.(Creole-HT) ======= Mark 4:21 ============ Mar 4:21 And he said unto them, Is a candle brought to be put under a bushel, or under a bed? and not to be set on a candlestick?(KJV-1611) Mar 4:21 Apre sa, li di yo ankò: -Yo pa limen yon lanp pou yo mete l' anba yon mamit osinon anba yon kabann, pa vre? Eske se pa sou yon etajè pou yo mete li?(Creole-HT) ======= Mark 4:22 ============ Mar 4:22 For there is nothing hid, which shall not be manifested; neither was any thing kept secret, but that it should come abroad.(KJV-1611) Mar 4:22 Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè.(Creole-HT) ======= Mark 4:23 ============ Mar 4:23 If any man have ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mar 4:23 Si nou gen zòrèy poun tande, tande.(Creole-HT) ======= Mark 4:24 ============ Mar 4:24 And he said unto them, Take heed what ye hear: with what measure ye mete, it shall be measured to you: and unto you that hear shall more be given.(KJV-1611) Mar 4:24 Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li.(Creole-HT) ======= Mark 4:25 ============ Mar 4:25 For he that hath, to him shall be given: and he that hath not, from him shall be taken even that which he hath.(KJV-1611) Mar 4:25 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an.(Creole-HT) ======= Mark 4:26 ============ Mar 4:26 And he said, So is the kingdom of God, as if a man should cast seed into the ground;(KJV-1611) Mar 4:26 Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.(Creole-HT) ======= Mark 4:27 ============ Mar 4:27 And should sleep, and rise night and day, and the seed should spring and grow up, he knoweth not how.(KJV-1611) Mar 4:27 Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l' pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi.(Creole-HT) ======= Mark 4:28 ============ Mar 4:28 For the earth bringeth forth fruit of herself; first the blade, then the ear, after that the full corn in the ear.(KJV-1611) Mar 4:28 Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la.(Creole-HT) ======= Mark 4:29 ============ Mar 4:29 But when the fruit is brought forth, immediately he putteth in the sickle, because the harvest is come.(KJV-1611) Mar 4:29 Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive.(Creole-HT) ======= Mark 4:30 ============ Mar 4:30 And he said, Whereunto shall we liken the kingdom of God? or with what comparison shall we compare it?(KJV-1611) Mar 4:30 Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye?(Creole-HT) ======= Mark 4:31 ============ Mar 4:31 It is like a grain of mustard seed, which, when it is sown in the earth, is less than all the seeds that be in the earth:(KJV-1611) Mar 4:31 Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.(Creole-HT) ======= Mark 4:32 ============ Mar 4:32 But when it is sown, it groweth up, and becometh greater than all herbs, and shooteth out great branches; so that the fowls of the air may lodge under the shadow of it.(KJV-1611) Mar 4:32 Men, lè ou fin simen l', li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l', li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo.(Creole-HT) ======= Mark 4:33 ============ Mar 4:33 And with many such parables spake he the word unto them, as they were able to hear it.(KJV-1611) Mar 4:33 Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesaj li a. Li te fè l' yon jan pou yo tout te ka konprann li.(Creole-HT) ======= Mark 4:34 ============ Mar 4:34 But without a parable spake he not unto them: and when they were alone, he expounded all things to his disciples.(KJV-1611) Mar 4:34 Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl. Men, lè l' te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.(Creole-HT) ======= Mark 4:35 ============ Mar 4:35 And the same day, when the even was come, he saith unto them, Let us pass over unto the other side.(KJV-1611) Mar 4:35 Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: -Ann janbe lòt bò lanmè a non.(Creole-HT) ======= Mark 4:36 ============ Mar 4:36 And when they had sent away the multitude, they took him even as he was in the ship. And there were also with him other little ships.(KJV-1611) Mar 4:36 Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.(Creole-HT) ======= Mark 4:37 ============ Mar 4:37 And there arose a great storm of wind, and the waves beat into the ship, so that it was now full.(KJV-1611) Mar 4:37 Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo.(Creole-HT) ======= Mark 4:38 ============ Mar 4:38 And he was in the hinder part of the ship, asleep on a pillow: and they awake him, and say unto him, Master, carest thou not that we perish?(KJV-1611) Mar 4:38 Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l', yo di l' konsa: -Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen?(Creole-HT) ======= Mark 4:39 ============ Mar 4:39 And he arose, and rebuked the wind, and said unto the sea, Peace, be still. And the wind ceased, and there was a great calm.(KJV-1611) Mar 4:39 Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi.(Creole-HT) ======= Mark 4:40 ============ Mar 4:40 And he said unto them, Why are ye so fearful? how is it that ye have no faith?(KJV-1611) Mar 4:40 Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?(Creole-HT) ======= Mark 4:41 ============ Mar 4:41 And they feared exceedingly, and said one to another, What manner of man is this, that even the wind and the sea obey him?(KJV-1611) Mar 4:41 Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t'ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?(Creole-HT) ======= Mark 5:1 ============ Mar 5:1 And they came over unto the other side of the sea, into the country of the Gadarenes.(KJV-1611) Mar 5:1 Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo.(Creole-HT) ======= Mark 5:2 ============ Mar 5:2 And when he was come out of the ship, immediately there met him out of the tombs a man with an unclean spirit,(KJV-1611) Mar 5:2 Jezi desann soti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm soti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 5:3 ============ Mar 5:3 Who had his dwelling among the tombs; and no man could bind him, no, not with chains:(KJV-1611) Mar 5:3 Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pesonn pa t' kapab mare l', pa menm avèk chenn.(Creole-HT) ======= Mark 5:4 ============ Mar 5:4 Because that he had been often bound with fetters and chains, and the chains had been plucked asunder by him, and the fetters broken in pieces: neither could any man tame him.(KJV-1611) Mar 5:4 Anpil fwa, yo te mete tou de pye l' yo nan yon sep an fè, yo te mare tou de menm l' yo ak yon chenn. Men, chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa t' gen fòs ase pou donte li.(Creole-HT) ======= Mark 5:5 ============ Mar 5:5 And always, night and day, he was in the mountains, and in the tombs, crying, and cutting himself with stones.(KJV-1611) Mar 5:5 Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou ti mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap matirize kò l' ak kout wòch.(Creole-HT) ======= Mark 5:6 ============ Mar 5:6 But when he saw Jesus afar off, he ran and worshipped him,(KJV-1611) Mar 5:6 Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li.(Creole-HT) ======= Mark 5:7 ============ Mar 5:7 And cried with a loud voice, and said, What have I to do with thee, Jesus, thou Son of the most high God? I adjure thee by God, that thou torment me not.(KJV-1611) Mar 5:7 Li pran rele byen fò, li di l' konsa: -Kisa m' gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m' soufri.(Creole-HT) ======= Mark 5:8 ============ Mar 5:8 For he said unto him, Come out of the man, thou unclean spirit.(KJV-1611) Mar 5:8 (Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan).(Creole-HT) ======= Mark 5:9 ============ Mar 5:9 And he asked him, What is thy name? And he answered, saying, My name is Legion: for we are many.(KJV-1611) Mar 5:9 Lè sa a, Jezi mande li: -Ki jan ou rele? Li reponn li: -Yo rele m' Rejiman, paske nou anpil.(Creole-HT) ======= Mark 5:10 ============ Mar 5:10 And he besought him much that he would not send them away out of the country.(KJV-1611) Mar 5:10 Epi li di Jezi: -Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.(Creole-HT) ======= Mark 5:11 ============ Mar 5:11 Now there was there nigh unto the mountains a great herd of swine feeding.(KJV-1611) Mar 5:11 Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje.(Creole-HT) ======= Mark 5:12 ============ Mar 5:12 And all the devils besought him, saying, Send us into the swine, that we may enter into them.(KJV-1611) Mar 5:12 Tout move lespri yo pran mande Jezi: -Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non poun antre nan yo.(Creole-HT) ======= Mark 5:13 ============ Mar 5:13 And forthwith Jesus gave them leave. And the unclean spirits went out, and entered into the swine: and the herd ran violently down a steep place into the sea, (they were about two thousand;) and were choked in the sea.(KJV-1611) Mar 5:13 Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil kochon konsa nan bann lan.(Creole-HT) ======= Mark 5:14 ============ Mar 5:14 And they that fed the swine fled, and told it in the city, and in the country. And they went out to see what it was that was done.(KJV-1611) Mar 5:14 Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun soti toupatou vin wè sak te rive.(Creole-HT) ======= Mark 5:15 ============ Mar 5:15 And they come to Jesus, and see him that was possessed with the devil, and had the legion, sitting, and clothed, and in his right mind: and they were afraid.(KJV-1611) Mar 5:15 Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l', byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.(Creole-HT) ======= Mark 5:16 ============ Mar 5:16 And they that saw it told them how it befell to him that was possessed with the devil, and also concerning the swine.(KJV-1611) Mar 5:16 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo.(Creole-HT) ======= Mark 5:17 ============ Mar 5:17 And they began to pray him to depart out of their coasts.(KJV-1611) Mar 5:17 Lè sa a, yo mande Jezi: -Tanpri souple, kite peyi a.(Creole-HT) ======= Mark 5:18 ============ Mar 5:18 And when he was come into the ship, he that had been possessed with the devil prayed him that he might be with him.(KJV-1611) Mar 5:18 Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l' pèmisyon pou li ale ave l' tou.(Creole-HT) ======= Mark 5:19 ============ Mar 5:19 Howbeit Jesus suffered him not, but saith unto him, Go home to thy friends, and tell them how great things the Lord hath done for thee, and hath had compassion on thee.(KJV-1611) Mar 5:19 Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.(Creole-HT) ======= Mark 5:20 ============ Mar 5:20 And he departed, and began to publish in Decapolis how great things Jesus had done for him: and all men did marvel.(KJV-1611) Mar 5:20 Nonm lan pati, li ale nan tout rejyon yo rele Dis Vil la. Li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l' pale.(Creole-HT) ======= Mark 5:21 ============ Mar 5:21 And when Jesus was passed over again by ship unto the other side, much people gathered unto him: and he was nigh unto the sea.(KJV-1611) Mar 5:21 Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann soti nan kannòt la, yon foul moun gen tan sanble bò kote li. Antan li sou rivaj la,(Creole-HT) ======= Mark 5:22 ============ Mar 5:22 And, behold, there cometh one of the rulers of the synagogue, Jairus by name; and when he saw him, he fell at his feet,(KJV-1611) Mar 5:22 Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li.(Creole-HT) ======= Mark 5:23 ============ Mar 5:23 And besought him greatly, saying, My little daughter lieth at the point of death: I pray thee, come and lay thy hands on her, that she may be healed; and she shall live.(KJV-1611) Mar 5:23 Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.(Creole-HT) ======= Mark 5:24 ============ Mar 5:24 And Jesus went with him; and much people followed him, and thronged him.(KJV-1611) Mar 5:24 Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l' toupatou.(Creole-HT) ======= Mark 5:25 ============ Mar 5:25 And a certain woman, which had an issue of blood twelve years,(KJV-1611) Mar 5:25 Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan.(Creole-HT) ======= Mark 5:26 ============ Mar 5:26 And had suffered many things of many physicians, and had spent all that she had, and was nothing bettered, but rather grew worse,(KJV-1611) Mar 5:26 Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li.(Creole-HT) ======= Mark 5:27 ============ Mar 5:27 When she had heard of Jesus, came in the press behind, and touched his garment.(KJV-1611) Mar 5:27 Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.(Creole-HT) ======= Mark 5:28 ============ Mar 5:28 For she said, If I may touch but his clothes, I shall be whole.(KJV-1611) Mar 5:28 Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri.(Creole-HT) ======= Mark 5:29 ============ Mar 5:29 And straightway the fountain of her blood was dried up; and she felt in her body that she was healed of that plague.(KJV-1611) Mar 5:29 Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya.(Creole-HT) ======= Mark 5:30 ============ Mar 5:30 And Jesus, immediately knowing in himself that virtue had gone out of him, turned him about in the press, and said, Who touched my clothes?(KJV-1611) Mar 5:30 Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en?(Creole-HT) ======= Mark 5:31 ============ Mar 5:31 And his disciples said unto him, Thou seest the multitude thronging thee, and sayest thou, Who touched me?(KJV-1611) Mar 5:31 Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?(Creole-HT) ======= Mark 5:32 ============ Mar 5:32 And he looked round about to see her that had done this thing.(KJV-1611) Mar 5:32 Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wè moun ki te fè l' sa a.(Creole-HT) ======= Mark 5:33 ============ Mar 5:33 But the woman fearing and trembling, knowing what was done in her, came and fell down before him, and told him all the truth.(KJV-1611) Mar 5:33 Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a.(Creole-HT) ======= Mark 5:34 ============ Mar 5:34 And he said unto her, Daughter, thy faith hath made thee whole; go in peace, and be whole of thy plague.(KJV-1611) Mar 5:34 Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.(Creole-HT) ======= Mark 5:35 ============ Mar 5:35 While he yet spake, there came from the ruler of the synagogue's house certain which said, Thy daughter is dead: why troublest thou the Master any further?(KJV-1611) Mar 5:35 Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.(Creole-HT) ======= Mark 5:36 ============ Mar 5:36 As soon as Jesus heard the word that was spoken, he saith unto the ruler of the synagogue, Be not afraid, only believe.(KJV-1611) Mar 5:36 Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.(Creole-HT) ======= Mark 5:37 ============ Mar 5:37 And he suffered no man to follow him, save Peter, and James, and John the brother of James.(KJV-1611) Mar 5:37 Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li.(Creole-HT) ======= Mark 5:38 ============ Mar 5:38 And he cometh to the house of the ruler of the synagogue, and seeth the tumult, and them that wept and wailed greatly.(KJV-1611) Mar 5:38 Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele.(Creole-HT) ======= Mark 5:39 ============ Mar 5:39 And when he was come in, he saith unto them, Why make ye this ado, and weep? the damsel is not dead, but sleepeth.(KJV-1611) Mar 5:39 Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Mark 5:40 ============ Mar 5:40 And they laughed him to scorn. But when he had put them all out, he taketh the father and the mother of the damsel, and them that were with him, and entereth in where the damsel was lying.(KJV-1611) Mar 5:40 Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.(Creole-HT) ======= Mark 5:41 ============ Mar 5:41 And he took the damsel by the hand, and said unto her, Talitha cumi; which is, being interpreted, Damsel, I say unto thee, arise.(KJV-1611) Mar 5:41 Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.(Creole-HT) ======= Mark 5:42 ============ Mar 5:42 And straightway the damsel arose, and walked; for she was of the age of twelve years. And they were astonished with a great astonishment.(KJV-1611) Mar 5:42 Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.(Creole-HT) ======= Mark 5:43 ============ Mar 5:43 And he charged them straitly that no man should know it; and commanded that something should be given her to eat.(KJV-1611) Mar 5:43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.(Creole-HT) ======= Mark 6:1 ============ Mar 6:1 And he went out from thence, and came into his own country; and his disciples follow him.(KJV-1611) Mar 6:1 Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.(Creole-HT) ======= Mark 6:2 ============ Mar 6:2 And when the sabbath day was come, he began to teach in the synagogue: and many hearing him were astonished, saying, From whence hath this man these things? and what wisdom is this which is given unto him, that even such mighty works are wrought by his hands?(KJV-1611) Mar 6:2 Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?(Creole-HT) ======= Mark 6:3 ============ Mar 6:3 Is not this the carpenter, the son of Mary, the brother of James, and Joses, and of Juda, and Simon? and are not his sisters here with us? And they were offended at him.(KJV-1611) Mar 6:3 Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Mark 6:4 ============ Mar 6:4 But Jesus, said unto them, A prophet is not without honour, but in his own country, and among his own kin, and in his own house.(KJV-1611) Mar 6:4 Lè sa a, Jezi di yo: -Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l', lakay li ak nan fanmi li.(Creole-HT) ======= Mark 6:5 ============ Mar 6:5 And he could there do no mighty work, save that he laid his hands upon a few sick folk, and healed them.(KJV-1611) Mar 6:5 Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:6 ============ Mar 6:6 And he marvelled because of their unbelief. And he went round about the villages, teaching.(KJV-1611) Mar 6:6 Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Mark 6:7 ============ Mar 6:7 And he called unto him the twelve, and began to send them forth by two and two; and gave them power over unclean spirits;(KJV-1611) Mar 6:7 Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.(Creole-HT) ======= Mark 6:8 ============ Mar 6:8 And commanded them that they should take nothing for their journey, save a staff only; no scrip, no bread, no money in their purse:(KJV-1611) Mar 6:8 Li pase yo lòd sa a: -Pa pran anyen pou vwayaj la, esepte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou.(Creole-HT) ======= Mark 6:9 ============ Mar 6:9 But be shod with sandals; and not put on two coats.(KJV-1611) Mar 6:9 Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou.(Creole-HT) ======= Mark 6:10 ============ Mar 6:10 And he said unto them, In what place soever ye enter into an house, there abide till ye depart from that place.(KJV-1611) Mar 6:10 Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.(Creole-HT) ======= Mark 6:11 ============ Mar 6:11 And whosoever shall not receive you, nor hear you, when ye depart thence, shake off the dust under your feet for a testimony against them. Verily I say unto you, It shall be more tolerable for Sodom and Gomorrha in the day of judgment, than for that city.(KJV-1611) Mar 6:11 Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:12 ============ Mar 6:12 And they went out, and preached that men should repent.(KJV-1611) Mar 6:12 Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 6:13 ============ Mar 6:13 And they cast out many devils, and anointed with oil many that were sick, and healed them.(KJV-1611) Mar 6:13 Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:14 ============ Mar 6:14 And king Herod heard of him; (for his name was spread abroad:) and he said, That John the Baptist was risen from the dead, and therefore mighty works do shew forth themselves in him.(KJV-1611) Mar 6:14 Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:15 ============ Mar 6:15 Others said, That it is Elias. And others said, That it is a prophet, or as one of the prophets.(KJV-1611) Mar 6:15 Gen lòt ki t'ap di tou: -Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: -Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:16 ============ Mar 6:16 But when Herod heard thereof, he said, It is John, whom I beheaded: he is risen from the dead.(KJV-1611) Mar 6:16 Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: -Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.(Creole-HT) ======= Mark 6:17 ============ Mar 6:17 For Herod himself had sent forth and laid hold upon John, and bound him in prison for Herodias' sake, his brother Philip's wife: for he had married her.(KJV-1611) Mar 6:17 Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l' nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li.(Creole-HT) ======= Mark 6:18 ============ Mar 6:18 For John had said unto Herod, It is not lawful for thee to have thy brother's wife.(KJV-1611) Mar 6:18 Se konsa, Jan te di li: -Ou pa gen dwa pran madanm frè ou pou madanm ou.(Creole-HT) ======= Mark 6:19 ============ Mar 6:19 Therefore Herodias had a quarrel against him, and would have killed him; but she could not:(KJV-1611) Mar 6:19 Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li.(Creole-HT) ======= Mark 6:20 ============ Mar 6:20 For Herod feared John, knowing that he was a just man and an holy, and observed him; and when he heard him, he did many things, and heard him gladly.(KJV-1611) Mar 6:20 Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.(Creole-HT) ======= Mark 6:21 ============ Mar 6:21 And when a convenient day was come, that Herod on his birthday made a supper to his lords, high captains, and chief estates of Galilee;(KJV-1611) Mar 6:21 Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a.(Creole-HT) ======= Mark 6:22 ============ Mar 6:22 And when the daughter of the said Herodias came in, and danced, and pleased Herod and them that sat with him, the king said unto the damsel, Ask of me whatsoever thou wilt, and I will give it thee.(KJV-1611) Mar 6:22 Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.(Creole-HT) ======= Mark 6:23 ============ Mar 6:23 And he sware unto her, Whatsoever thou shalt ask of me, I will give it thee, unto the half of my kingdom.(KJV-1611) Mar 6:23 Ewòd sèmante ba li, li di l' konsa: -Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.(Creole-HT) ======= Mark 6:24 ============ Mar 6:24 And she went forth, and said unto her mother, What shall I ask? And she said, The head of John the Baptist.(KJV-1611) Mar 6:24 Madmwazèl la soti, li al di manman li: -Kisa m' ta mande? Manman an reponn li: -Mande tèt Jan Batis.(Creole-HT) ======= Mark 6:25 ============ Mar 6:25 And she came in straightway with haste unto the king, and asked, saying, I will that thou give me by and by in a charger the head of John the Baptist.(KJV-1611) Mar 6:25 Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l' demann sa a: -Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis koulye a, nan yon plato.(Creole-HT) ======= Mark 6:26 ============ Mar 6:26 And the king was exceeding sorry; yet for his oath's sake, and for their sakes which sat with him, he would not reject her.(KJV-1611) Mar 6:26 Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:27 ============ Mar 6:27 And immediately the king sent an executioner, and commanded his head to be brought: and he went and beheaded him in the prison,(KJV-1611) Mar 6:27 Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou li al chache tèt Jan Batis pote vini.(Creole-HT) ======= Mark 6:28 ============ Mar 6:28 And brought his head in a charger, and gave it to the damsel: and the damsel gave it to her mother.(KJV-1611) Mar 6:28 Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an; li pote l' vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la; madmwazèl la menm pote l' bay manman li.(Creole-HT) ======= Mark 6:29 ============ Mar 6:29 And when his disciples heard of it, they came and took up his corpse, and laid it in a tomb.(KJV-1611) Mar 6:29 Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l' nan yon kavo.(Creole-HT) ======= Mark 6:30 ============ Mar 6:30 And the apostles gathered themselves together unto Jesus, and told him all things, both what they had done, and what they had taught.(KJV-1611) Mar 6:30 Lè apòt yo tounen vin jwenn Jezi, yo rakonte l' tou sa yo te fè ak tou sa yo te di.(Creole-HT) ======= Mark 6:31 ============ Mar 6:31 And he said unto them, Come ye yourselves apart into a desert place, and rest a while: for there were many coming and going, and they had no leisure so much as to eat.(KJV-1611) Mar 6:31 Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.(Creole-HT) ======= Mark 6:32 ============ Mar 6:32 And they departed into a desert place by ship privately.(KJV-1611) Mar 6:32 Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y' ale yon kote ki pa gen moun.(Creole-HT) ======= Mark 6:33 ============ Mar 6:33 And the people saw them departing, and many knew him, and ran afoot thither out of all cities, and outwent them, and came together unto him.(KJV-1611) Mar 6:33 Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.(Creole-HT) ======= Mark 6:34 ============ Mar 6:34 And Jesus, when he came out, saw much people, and was moved with compassion toward them, because they were as sheep not having a shepherd: and he began to teach them many things.(KJV-1611) Mar 6:34 Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Mark 6:35 ============ Mar 6:35 And when the day was now far spent, his disciples came unto him, and said, This is a desert place, and now the time is far passed:(KJV-1611) Mar 6:35 Lè li te kòmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: -Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la.(Creole-HT) ======= Mark 6:36 ============ Mar 6:36 Send them away, that they may go into the country round about, and into the villages, and buy themselves bread: for they have nothing to eat.(KJV-1611) Mar 6:36 Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:37 ============ Mar 6:37 He answered and said unto them, Give ye them to eat. And they say unto him, Shall we go and buy two hundred pennyworth of bread, and give them to eat?(KJV-1611) Mar 6:37 Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo:(Creole-HT) ======= Mark 6:38 ============ Mar 6:38 He saith unto them, How many loaves have ye? go and see. And when they knew, they say, Five, and two fishes.(KJV-1611) Mar 6:38 -Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason.(Creole-HT) ======= Mark 6:39 ============ Mar 6:39 And he commanded them to make all sit down by companies upon the green grass.(KJV-1611) Mar 6:39 Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la.(Creole-HT) ======= Mark 6:40 ============ Mar 6:40 And they sat down in ranks, by hundreds, and by fifties.(KJV-1611) Mar 6:40 Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun.(Creole-HT) ======= Mark 6:41 ============ Mar 6:41 And when he had taken the five loaves and the two fishes, he looked up to heaven, and blessed, and brake the loaves, and gave them to his disciples to set before them; and the two fishes divided he among them all.(KJV-1611) Mar 6:41 Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:42 ============ Mar 6:42 And they did all eat, and were filled.(KJV-1611) Mar 6:42 Tout moun manje vant plen.(Creole-HT) ======= Mark 6:43 ============ Mar 6:43 And they took up twelve baskets full of the fragments, and of the fishes.(KJV-1611) Mar 6:43 Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale.(Creole-HT) ======= Mark 6:44 ============ Mar 6:44 And they that did eat of the loaves were about five thousand men.(KJV-1611) Mar 6:44 Te gen senkmil moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.(Creole-HT) ======= Mark 6:45 ============ Mar 6:45 And straightway he constrained his disciples to get into the ship, and to go to the other side before unto Bethsaida, while he sent away the people.(KJV-1611) Mar 6:45 Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.(Creole-HT) ======= Mark 6:46 ============ Mar 6:46 And when he had sent them away, he departed into a mountain to pray.(KJV-1611) Mar 6:46 Apre li fin ranvwaye yo, li al lapriyè sou yon ti mòn.(Creole-HT) ======= Mark 6:47 ============ Mar 6:47 And when even was come, the ship was in the midst of the sea, and he alone on the land.(KJV-1611) Mar 6:47 Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.(Creole-HT) ======= Mark 6:48 ============ Mar 6:48 And he saw them toiling in rowing; for the wind was contrary unto them: and about the fourth watch of the night he cometh unto them, walking upon the sea, and would have passed by them.(KJV-1611) Mar 6:48 Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo.(Creole-HT) ======= Mark 6:49 ============ Mar 6:49 But when they saw him walking upon the sea, they supposed it had been a spirit, and cried out:(KJV-1611) Mar 6:49 Lè yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te kwè se te yon revenan. Yo pran rele.(Creole-HT) ======= Mark 6:50 ============ Mar 6:50 For they all saw him, and were troubled. And immediately he talked with them, and saith unto them, Be of good cheer: it is I; be not afraid.(KJV-1611) Mar 6:50 Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= Mark 6:51 ============ Mar 6:51 And he went up unto them into the ship; and the wind ceased: and they were sore amazed in themselves beyond measure, and wondered.(KJV-1611) Mar 6:51 Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.(Creole-HT) ======= Mark 6:52 ============ Mar 6:52 For they considered not the miracle of the loaves: for their heart was hardened.(KJV-1611) Mar 6:52 Yo pa t' konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.(Creole-HT) ======= Mark 6:53 ============ Mar 6:53 And when they had passed over, they came into the land of Gennesaret, and drew to the shore.(KJV-1611) Mar 6:53 Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.(Creole-HT) ======= Mark 6:54 ============ Mar 6:54 And when they were come out of the ship, straightway they knew him,(KJV-1611) Mar 6:54 Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 6:55 ============ Mar 6:55 And ran through that whole region round about, and began to carry about in beds those that were sick, where they heard he was.(KJV-1611) Mar 6:55 Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a.(Creole-HT) ======= Mark 6:56 ============ Mar 6:56 And whithersoever he entered, into villages, or cities, or country, they laid the sick in the streets, and besought him that they might touch if it were but the border of his garment: and as many as touched him were made whole.(KJV-1611) Mar 6:56 Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.(Creole-HT) ======= Mark 7:1 ============ Mar 7:1 Then came together unto him the Pharisees, and certain of the scribes, which came from Jerusalem.(KJV-1611) Mar 7:1 Farizyen yo ak kèk dirèktè lalwa te soti Jerizalèm. Yo sanble bò kote Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 7:2 ============ Mar 7:2 And when they saw some of his disciples eat bread with defiled, that is to say, with unwashen, hands, they found fault.(KJV-1611) Mar 7:2 Yo wè te gen nan disip li yo ki t'ap manje ak men yo tou sal, sa vle di, san yo pa t' lave men yo anvan.(Creole-HT) ======= Mark 7:3 ============ Mar 7:3 For the Pharisees, and all the Jews, except they wash their hands oft, eat not, holding the tradition of the elders.(KJV-1611) Mar 7:3 Farizyen yo ak tout lòt jwif yo pa t' janm manje san yo pa t' lave men yo byen lave. Nan sa, yo t'ap swiv koutim granmoun lontan yo.(Creole-HT) ======= Mark 7:4 ============ Mar 7:4 And when they come from the market, except they wash, they eat not. And many other things there be, which they have received to hold, as the washing of cups, and pots, brasen vessels, and of tables.(KJV-1611) Mar 7:4 Lè yo soti nan mache, sa pa t' bon non plis pou yo te manje san yo pa t' pran yon beny anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo.(Creole-HT) ======= Mark 7:5 ============ Mar 7:5 Then the Pharisees and scribes asked him, Why walk not thy disciples according to the tradition of the elders, but eat bread with unwashen hands?(KJV-1611) Mar 7:5 Se sak fè, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo mande Jezi: -Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Men y'ap manje ak men yo tou sal.(Creole-HT) ======= Mark 7:6 ============ Mar 7:6 He answered and said unto them, Well hath Esaias prophesied of you hypocrites, as it is written, This people honoureth me with their lips, but their heart is far from me.(KJV-1611) Mar 7:6 Jezi reponn yo: -Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m', men kè yo byen lwen mwen.(Creole-HT) ======= Mark 7:7 ============ Mar 7:7 Howbeit in vain do they worship me, teaching for doctrines the commandments of men.(KJV-1611) Mar 7:7 Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.(Creole-HT) ======= Mark 7:8 ============ Mar 7:8 For laying aside the commandment of God, ye hold the tradition of men, as the washing of pots and cups: and many other such like things ye do.(KJV-1611) Mar 7:8 Jezi di yo konsa: -Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli.(Creole-HT) ======= Mark 7:9 ============ Mar 7:9 And he said unto them, Full well ye reject the commandment of God, that ye may keep your own tradition.(KJV-1611) Mar 7:9 Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.(Creole-HT) ======= Mark 7:10 ============ Mar 7:10 For Moses said, Honour thy father and thy mother; and, Whoso curseth father or mother, let him die the death:(KJV-1611) Mar 7:10 Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' ak manman l' mal, se pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Mark 7:11 ============ Mar 7:11 But ye say, If a man shall say to his father or mother, It is Corban, that is to say, a gift, by whatsoever thou mightest be profited by me; he shall be free.(KJV-1611) Mar 7:11 Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye),(Creole-HT) ======= Mark 7:12 ============ Mar 7:12 And ye suffer him no more to do ought for his father or his mother;(KJV-1611) Mar 7:12 nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon manman li.(Creole-HT) ======= Mark 7:13 ============ Mar 7:13 Making the word of God of none effect through your tradition, which ye have delivered: and many such like things do ye.(KJV-1611) Mar 7:13 Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.(Creole-HT) ======= Mark 7:14 ============ Mar 7:14 And when he had called all the people unto him, he said unto them, Hearken unto me every one of you, and understand:(KJV-1611) Mar 7:14 Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l' ankò. Li di yo konsa: -Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a; manyè konprann sa.(Creole-HT) ======= Mark 7:15 ============ Mar 7:15 There is nothing from without a man, that entering into him can defile him: but the things which come out of him, those are they that defile the man.(KJV-1611) Mar 7:15 Se pa bagay deyò ki antre anndan yon moun lè l'ap manje ki kapab mete l' nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 7:16 ============ Mar 7:16 If any man have ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Mar 7:16 Men, se sak sot nan kè l' ki ka mete l' nan kondisyon sa a. Si nou gen zòrèy poun tande, tande.(Creole-HT) ======= Mark 7:17 ============ Mar 7:17 And when he was entered into the house from the people, his disciples asked him concerning the parable.(KJV-1611) Mar 7:17 Lè l' fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l' esplike yo parabòl sa a.(Creole-HT) ======= Mark 7:18 ============ Mar 7:18 And he saith unto them, Are ye so without understanding also? Do ye not perceive, that whatsoever thing from without entereth into the man, it cannot defile him;(KJV-1611) Mar 7:18 Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 7:19 ============ Mar 7:19 Because it entereth not into his heart, but into the belly, and goeth out into the draught, purging all meats?(KJV-1611) Mar 7:19 Paske, manje pa antre nan kè moun. Men, sa pase nan vant; apre, yo jete sa nan latrin. (Lè l' pale konsa, Jezi fè yo konprann tout manje bon.)(Creole-HT) ======= Mark 7:20 ============ Mar 7:20 And he said, That which cometh out of the man, that defileth the man.(KJV-1611) Mar 7:20 Li di yo ankò: -Sa ki soti nan kè yon nonm, se sa ki mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 7:21 ============ Mar 7:21 For from within, out of the heart of men, proceed evil thoughts, adulteries, fornications, murders,(KJV-1611) Mar 7:21 Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;(Creole-HT) ======= Mark 7:22 ============ Mar 7:22 Thefts, covetousness, wickedness, deceit, lasciviousness, an evil eye, blasphemy, pride, foolishness:(KJV-1611) Mar 7:22 li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou.(Creole-HT) ======= Mark 7:23 ============ Mar 7:23 All these evil things come from within, and defile the man.(KJV-1611) Mar 7:23 Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa soti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 7:24 ============ Mar 7:24 And from thence he arose, and went into the borders of Tyre and Sidon, and entered into an house, and would have no man know it: but he could not be hid.(KJV-1611) Mar 7:24 Jezi kite kote li te ye a, li ale nan zòn ki nan vwazinaj lavil Tir la. li antre nan yon kay, li pa t' vle pesonn konnen li te la. Men, li pa t' kapab rete kache.(Creole-HT) ======= Mark 7:25 ============ Mar 7:25 For a certain woman, whose young daughter had an unclean spirit, heard of him, and came and fell at his feet:(KJV-1611) Mar 7:25 Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l' ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l', li lage kò l' nan pye Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 7:26 ============ Mar 7:26 The woman was a Greek, a Syrophenician by nation; and she besought him that he would cast forth the devil out of her daughter.(KJV-1611) Mar 7:26 (Fanm sa a pa t' jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: -Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m' lan.(Creole-HT) ======= Mark 7:27 ============ Mar 7:27 But Jesus said unto her, Let the children first be filled: for it is not meet to take the children's bread, and to cast it unto the dogs.(KJV-1611) Mar 7:27 Men Jezi di l' konsa: -Kite vant ti moun yo plen anvan; paske sa pa bon pou wete pen nan bouch timoun pou bay ti chen.(Creole-HT) ======= Mark 7:28 ============ Mar 7:28 And she answered and said unto him, Yes, Lord: yet the dogs under the table eat of the children's crumbs.(KJV-1611) Mar 7:28 Fanm lan reponn li: -Se vre wi, Mèt. Men, ti chen ki anba tab manje ti kal pen timoun jete atè.(Creole-HT) ======= Mark 7:29 ============ Mar 7:29 And he said unto her, For this saying go thy way; the devil is gone out of thy daughter.(KJV-1611) Mar 7:29 Lè sa a Jezi di li: -Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a soti sou pitit fi ou la.(Creole-HT) ======= Mark 7:30 ============ Mar 7:30 And when she was come to her house, she found the devil gone out, and her daughter laid upon the bed.(KJV-1611) Mar 7:30 Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gen tan soti sou li.(Creole-HT) ======= Mark 7:31 ============ Mar 7:31 And again, departing from the coasts of Tyre and Sidon, he came unto the sea of Galilee, through the midst of the coasts of Decapolis.(KJV-1611) Mar 7:31 Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan peyi Dis Vil yo; li tounen lòt bò lanmè Galile a.(Creole-HT) ======= Mark 7:32 ============ Mar 7:32 And they bring unto him one that was deaf, and had an impediment in his speech; and they beseech him to put his hand upon him.(KJV-1611) Mar 7:32 Yo mennen yon nonm ba li: nonm lan te soudè epi li pa t' pale byen. Yo mande Jezi pou li mete men l' sou tèt nonm lan.(Creole-HT) ======= Mark 7:33 ============ Mar 7:33 And he took him aside from the multitude, and put his fingers into his ears, and he spit, and touched his tongue;(KJV-1611) Mar 7:33 Men Jezi pran men nonm lan, li fè l' soti nan mitan foul moun yo, li mennen l' sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan.(Creole-HT) ======= Mark 7:34 ============ Mar 7:34 And looking up to heaven, he sighed, and saith unto him, Ephphatha, that is, Be opened.(KJV-1611) Mar 7:34 Apre sa, li leve je l' nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: -Efata! (ki vle di: Louvri!)(Creole-HT) ======= Mark 7:35 ============ Mar 7:35 And straightway his ears were opened, and the string of his tongue was loosed, and he spake plain.(KJV-1611) Mar 7:35 Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang nonm lan demare nan bouch li epi li pran pale trè byen.(Creole-HT) ======= Mark 7:36 ============ Mar 7:36 And he charged them that they should tell no man: but the more he charged them, so much the more a great deal they published it;(KJV-1611) Mar 7:36 Jezi te mande yo tout pou yo pa t' di pesonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la.(Creole-HT) ======= Mark 7:37 ============ Mar 7:37 And were beyond measure astonished, saying, He hath done all things well: he maketh both the deaf to hear, and the dumb to speak.(KJV-1611) Mar 7:37 Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: -Nonm sa a fè tout afè l' byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.(Creole-HT) ======= Mark 8:1 ============ Mar 8:1 In those days the multitude being very great, and having nothing to eat, Jesus called his disciples unto him, and saith unto them,(KJV-1611) Mar 8:1 Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Mark 8:2 ============ Mar 8:2 I have compassion on the multitude, because they have now been with me three days, and have nothing to eat:(KJV-1611) Mar 8:2 -Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote.(Creole-HT) ======= Mark 8:3 ============ Mar 8:3 And if I send them away fasting to their own houses, they will faint by the way: for divers of them came from far.(KJV-1611) Mar 8:3 Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen.(Creole-HT) ======= Mark 8:4 ============ Mar 8:4 And his disciples answered him, From whence can a man satisfy these men with bread here in the wilderness?(KJV-1611) Mar 8:4 Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?(Creole-HT) ======= Mark 8:5 ============ Mar 8:5 And he asked them, How many loaves have ye? And they said, Seven.(KJV-1611) Mar 8:5 Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen.(Creole-HT) ======= Mark 8:6 ============ Mar 8:6 And he commanded the people to sit down on the ground: and he took the seven loaves, and gave thanks, and brake, and gave to his disciples to set before them; and they did set them before the people.(KJV-1611) Mar 8:6 Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen.(Creole-HT) ======= Mark 8:7 ============ Mar 8:7 And they had a few small fishes: and he blessed, and commanded to set them also before them.(KJV-1611) Mar 8:7 Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo.(Creole-HT) ======= Mark 8:8 ============ Mar 8:8 So they did eat, and were filled: and they took up of the broken meat that was left seven baskets.(KJV-1611) Mar 8:8 Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete.(Creole-HT) ======= Mark 8:9 ============ Mar 8:9 And they that had eaten were about four thousand: and he sent them away.(KJV-1611) Mar 8:9 Te gen katmil moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.(Creole-HT) ======= Mark 8:10 ============ Mar 8:10 And straightway he entered into a ship with his disciples, and came into the parts of Dalmanutha.(KJV-1611) Mar 8:10 Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, li ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta.(Creole-HT) ======= Mark 8:11 ============ Mar 8:11 And the Pharisees came forth, and began to question with him, seeking of him a sign from heaven, tempting him.(KJV-1611) Mar 8:11 Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Mark 8:12 ============ Mar 8:12 And he sighed deeply in his spirit, and saith, Why doth this generation seek after a sign? verily I say unto you, There shall no sign be given unto this generation.(KJV-1611) Mar 8:12 Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.(Creole-HT) ======= Mark 8:13 ============ Mar 8:13 And he left them, and entering into the ship again departed to the other side.(KJV-1611) Mar 8:13 Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannòt la; li pati pou lòt bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Mark 8:14 ============ Mar 8:14 Now the disciples had forgotten to take bread, neither had they in the ship with them more than one loaf.(KJV-1611) Mar 8:14 Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la.(Creole-HT) ======= Mark 8:15 ============ Mar 8:15 And he charged them, saying, Take heed, beware of the leaven of the Pharisees, and of the leaven of Herod.(KJV-1611) Mar 8:15 Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.(Creole-HT) ======= Mark 8:16 ============ Mar 8:16 And they reasoned among themselves, saying, It is because we have no bread.(KJV-1611) Mar 8:16 Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa.(Creole-HT) ======= Mark 8:17 ============ Mar 8:17 And when Jesus knew it, he saith unto them, Why reason ye, because ye have no bread? perceive ye not yet, neither understand? have ye your heart yet hardened?(KJV-1611) Mar 8:17 Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?(Creole-HT) ======= Mark 8:18 ============ Mar 8:18 Having eyes, see ye not? and having ears, hear ye not? and do ye not remember?(KJV-1611) Mar 8:18 Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye?(Creole-HT) ======= Mark 8:19 ============ Mar 8:19 When I brake the five loaves among five thousand, how many baskets full of fragments took ye up? They say unto him, Twelve.(KJV-1611) Mar 8:19 Lè m' te separe senk pen bay senkmil moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen.(Creole-HT) ======= Mark 8:20 ============ Mar 8:20 And when the seven among four thousand, how many baskets full of fragments took ye up? And they said, Seven.(KJV-1611) Mar 8:20 Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen.(Creole-HT) ======= Mark 8:21 ============ Mar 8:21 And he said unto them, How is it that ye do not understand?(KJV-1611) Mar 8:21 Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?(Creole-HT) ======= Mark 8:22 ============ Mar 8:22 And he cometh to Bethsaida; and they bring a blind man unto him, and besought him to touch him.(KJV-1611) Mar 8:22 Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.(Creole-HT) ======= Mark 8:23 ============ Mar 8:23 And he took the blind man by the hand, and led him out of the town; and when he had spit on his eyes, and put his hands upon him, he asked him if he saw ought.(KJV-1611) Mar 8:23 Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy?(Creole-HT) ======= Mark 8:24 ============ Mar 8:24 And he looked up, and said, I see men as trees, walking.(KJV-1611) Mar 8:24 Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa.(Creole-HT) ======= Mark 8:25 ============ Mar 8:25 After that he put his hands again upon his eyes, and made him look up: and he was restored, and saw every man clearly.(KJV-1611) Mar 8:25 Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.(Creole-HT) ======= Mark 8:26 ============ Mar 8:26 And he sent him away to his house, saying, Neither go into the town, nor tell it to any in the town.(KJV-1611) Mar 8:26 Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la.(Creole-HT) ======= Mark 8:27 ============ Mar 8:27 And Jesus went out, and his disciples, into the towns of Caesarea Philippi: and by the way he asked his disciples, saying unto them, Whom do men say that I am?(KJV-1611) Mar 8:27 Jezi pati apre sa avèk disip li yo; li ale nan tout bouk ki te nan rejyon Sezare Filip la. Antan yo t'ap mache, li poze yo keksyon sa a: -Ki moun yo di mwen ye en?(Creole-HT) ======= Mark 8:28 ============ Mar 8:28 And they answered, John the Baptist; but some say, Elias; and others, One of the prophets.(KJV-1611) Mar 8:28 Yo reponn li: -Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli; gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Mark 8:29 ============ Mar 8:29 And he saith unto them, But whom say ye that I am? And Peter answereth and saith unto him, Thou art the Christ.(KJV-1611) Mar 8:29 Li mande yo ankò: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: -Ou se Kris la.(Creole-HT) ======= Mark 8:30 ============ Mar 8:30 And he charged them that they should tell no man of him.(KJV-1611) Mar 8:30 Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa.(Creole-HT) ======= Mark 8:31 ============ Mar 8:31 And he began to teach them, that the Son of man must suffer many things, and be rejected of the elders, and of the chief priests, and scribes, and be killed, and after three days rise again.(KJV-1611) Mar 8:31 Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.(Creole-HT) ======= Mark 8:32 ============ Mar 8:32 And he spake that saying openly. And Peter took him, and began to rebuke him.(KJV-1611) Mar 8:32 Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non.(Creole-HT) ======= Mark 8:33 ============ Mar 8:33 But when he had turned about and looked on his disciples, he rebuked Peter, saying, Get thee behind me, Satan: for thou savourest not the things that be of God, but the things that be of men.(KJV-1611) Mar 8:33 Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.(Creole-HT) ======= Mark 8:34 ============ Mar 8:34 And when he had called the people unto him with his disciples also, he said unto them, Whosoever will come after me, let him deny himself, and take up his cross, and follow me.(KJV-1611) Mar 8:34 Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.(Creole-HT) ======= Mark 8:35 ============ Mar 8:35 For whosoever will save his life shall lose it; but whosoever shall lose his life for my sake and the gospel's, the same shall save it.(KJV-1611) Mar 8:35 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li.(Creole-HT) ======= Mark 8:36 ============ Mar 8:36 For what shall it profit a man, if he shall gain the whole world, and lose his own soul?(KJV-1611) Mar 8:36 Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?(Creole-HT) ======= Mark 8:37 ============ Mar 8:37 Or what shall a man give in exchange for his soul?(KJV-1611) Mar 8:37 Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?(Creole-HT) ======= Mark 8:38 ============ Mar 8:38 Whosoever therefore shall be ashamed of me and of my words in this adulterous and sinful generation; of him also shall the Son of man be ashamed, when he cometh in the glory of his Father with the holy angels.(KJV-1611) Mar 8:38 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.(Creole-HT) ======= Mark 9:1 ============ Mar 9:1 And he said unto them, Verily I say unto you, That there be some of them that stand here, which shall not taste of death, till they have seen the kingdom of God come with power.(KJV-1611) Mar 9:1 Li di yo ankò: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l' avèk pouvwa.(Creole-HT) ======= Mark 9:2 ============ Mar 9:2 And after six days Jesus taketh with him Peter, and James, and John, and leadeth them up into an high mountain apart by themselves: and he was transfigured before them.(KJV-1611) Mar 9:2 Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan; li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Figi l' chanje la devan yo;(Creole-HT) ======= Mark 9:3 ============ Mar 9:3 And his raiment became shining, exceeding white as snow; so as no fuller on earth can white them.(KJV-1611) Mar 9:3 rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa.(Creole-HT) ======= Mark 9:4 ============ Mar 9:4 And there appeared unto them Elias with Moses: and they were talking with Jesus.(KJV-1611) Mar 9:4 Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 9:5 ============ Mar 9:5 And Peter answered and said to Jesus, Master, it is good for us to be here: and let us make three tabernacles; one for thee, and one for Moses, and one for Elias.(KJV-1611) Mar 9:5 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: -Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. N'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli.(Creole-HT) ======= Mark 9:6 ============ Mar 9:6 For he wist not what to say; for they were sore afraid.(KJV-1611) Mar 9:6 Li pa t' konnen sa pou l' te di tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= Mark 9:7 ============ Mar 9:7 And there was a cloud that overshadowed them: and a voice came out of the cloud, saying, This is my beloved Son: hear him.(KJV-1611) Mar 9:7 Yon nwaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun soti nan nwaj la, li di: -Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.(Creole-HT) ======= Mark 9:8 ============ Mar 9:8 And suddenly, when they had looked round about, they saw no man any more, save Jesus only with themselves.(KJV-1611) Mar 9:8 Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agoch, men yo pa wè pesonn pase Jezi ki te pou kont li avèk yo.(Creole-HT) ======= Mark 9:9 ============ Mar 9:9 And as they came down from the mountain, he charged them that they should tell no man what things they had seen, till the Son of man were risen from the dead.(KJV-1611) Mar 9:9 Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: -Pa di pesonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan pami mò yo.(Creole-HT) ======= Mark 9:10 ============ Mar 9:10 And they kept that saying with themselves, questioning one with another what the rising from the dead should mean.(KJV-1611) Mar 9:10 Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: -Sa sa vle di menm: leve soti vivan pami mò yo?(Creole-HT) ======= Mark 9:11 ============ Mar 9:11 And they asked him, saying, Why say the scribes that Elias must first come?(KJV-1611) Mar 9:11 Twa disip yo poze l' keksyon sa a: -Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan.(Creole-HT) ======= Mark 9:12 ============ Mar 9:12 And he answered and told them, Elias verily cometh first, and restoreth all things; and how it is written of the Son of man, that he must suffer many things, and be set at nought.(KJV-1611) Mar 9:12 Li reponn yo: -Se vre wi. Eli gen pou l' vin anvan pou l' mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' soufri anpil, yo p'ap manke pase l' nan betiz?(Creole-HT) ======= Mark 9:13 ============ Mar 9:13 But I say unto you, That Elias is indeed come, and they have done unto him whatsoever they listed, as it is written of him.(KJV-1611) Mar 9:13 Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle ave l', jan sa te ekri sou li a.(Creole-HT) ======= Mark 9:14 ============ Mar 9:14 And when he came to his disciples, he saw a great multitude about them, and the scribes questioning with them.(KJV-1611) Mar 9:14 Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo.(Creole-HT) ======= Mark 9:15 ============ Mar 9:15 And straightway all the people, when they beheld him, were greatly amazed, and running to him saluted him.(KJV-1611) Mar 9:15 Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l' bonjou.(Creole-HT) ======= Mark 9:16 ============ Mar 9:16 And he asked the scribes, What question ye with them?(KJV-1611) Mar 9:16 Li mande disip li yo: -Sa n'ap diskite konsa?(Creole-HT) ======= Mark 9:17 ============ Mar 9:17 And one of the multitude answered and said, Master, I have brought unto thee my son, which hath a dumb spirit;(KJV-1611) Mar 9:17 Yon nonm nan foul moun yo reponn li: -Mèt, mwen te mennen ti gason m' lan ba ou; li anba yon move lespri ki rann li bèbè.(Creole-HT) ======= Mark 9:18 ============ Mar 9:18 And wheresoever he taketh him, he teareth him: and he foameth, and gnasheth with his teeth, and pineth away: and I spake to thy disciples that they should cast him out; and they could not.(KJV-1611) Mar 9:18 Nenpòt ki kote lespri a pran l', li fese l' atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l', epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pa t' kapab.(Creole-HT) ======= Mark 9:19 ============ Mar 9:19 He answereth him, and saith, O faithless generation, how long shall I be with you? how long shall I suffer you? bring him unto me.(KJV-1611) Mar 9:19 Jezi di yo: -Ala moun san konfyans nan Bondye! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen tibway la ban mwen.(Creole-HT) ======= Mark 9:20 ============ Mar 9:20 And they brought him unto him: and when he saw him, straightway the spirit tare him; and he fell on the ground, and wallowed foaming.(KJV-1611) Mar 9:20 Yo mennen l' ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l' byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen.(Creole-HT) ======= Mark 9:21 ============ Mar 9:21 And he asked his father, How long is it ago since this came unto him? And he said, Of a child.(KJV-1611) Mar 9:21 Jezi mande papa a: -Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: -Depi li tou piti wi.(Creole-HT) ======= Mark 9:22 ============ Mar 9:22 And ofttimes it hath cast him into the fire, and into the waters, to destroy him: but if thou canst do any thing, have compassion on us, and help us.(KJV-1611) Mar 9:22 Anpil fwa menm, move lespri a jete l' nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou!(Creole-HT) ======= Mark 9:23 ============ Mar 9:23 Jesus said unto him, If thou canst believe, all things are possible to him that believeth.(KJV-1611) Mar 9:23 Jezi di li: -Si m' kapab menm! ...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 9:24 ============ Mar 9:24 And straightway the father of the child cried out, and said with tears, Lord, I believe; help thou mine unbelief.(KJV-1611) Mar 9:24 Menm lè a, papa tibway la di byen fò: -Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m' pou m' sa gen plis konfyans toujou.(Creole-HT) ======= Mark 9:25 ============ Mar 9:25 When Jesus saw that the people came running together, he rebuked the foul spirit, saying unto him, Thou dumb and deaf spirit, I charge thee, come out of him, and enter no more into him.(KJV-1611) Mar 9:25 Lè Jezi wè foul moun yo ap kouri vini, li pale sevè avèk move lespri a, li di li: -Espri bèbè, espri soudè, se mwen k'ap kòmande ou: soti sou tibway la, pa janm antre sou li ankò.(Creole-HT) ======= Mark 9:26 ============ Mar 9:26 And the spirit cried, and rent him sore, and came out of him: and he was as one dead; insomuch that many said, He is dead.(KJV-1611) Mar 9:26 Move lespri a souke tibway la byen souke; li bay yon gwo rèl, epi li soti, li ale. Ti gason an te rete tankou si l' te mouri atè a, kifè anpil moun te gen tan ap di: -Li mouri wi.(Creole-HT) ======= Mark 9:27 ============ Mar 9:27 But Jesus took him by the hand, and lifted him up; and he arose.(KJV-1611) Mar 9:27 Men Jezi pran men l', li fè l' leve. Lamenm, ti gason an kanpe.(Creole-HT) ======= Mark 9:28 ============ Mar 9:28 And when he was come into the house, his disciples asked him privately, Why could not we cast him out?(KJV-1611) Mar 9:28 Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l' apa, epi yo di li: -Poukisa nou pa t' kapab chase lespri sa a?(Creole-HT) ======= Mark 9:29 ============ Mar 9:29 And he said unto them, This kind can come forth by nothing, but by prayer and fasting.(KJV-1611) Mar 9:29 Li di yo: -Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa a soti.(Creole-HT) ======= Mark 9:30 ============ Mar 9:30 And they departed thence, and passed through Galilee; and he would not that any man should know it.(KJV-1611) Mar 9:30 Yo soti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pa t' vle moun konnen kote li te ye,(Creole-HT) ======= Mark 9:31 ============ Mar 9:31 For he taught his disciples, and said unto them, The Son of man is delivered into the hands of men, and they shall kill him; and after that he is killed, he shall rise the third day.(KJV-1611) Mar 9:31 paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Mark 9:32 ============ Mar 9:32 But they understood not that saying, and were afraid to ask him.(KJV-1611) Mar 9:32 Men, disip yo pa t' konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l' keksyon.(Creole-HT) ======= Mark 9:33 ============ Mar 9:33 And he came to Capernaum: and being in the house he asked them, What was it that ye disputed among yourselves by the way?(KJV-1611) Mar 9:33 Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?(Creole-HT) ======= Mark 9:34 ============ Mar 9:34 But they held their peace: for by the way they had disputed among themselves, who should be the greatest.(KJV-1611) Mar 9:34 Pesonn pa louvri bouch yo reponn, paske nan chemen an, yo t'ap diskite pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg.(Creole-HT) ======= Mark 9:35 ============ Mar 9:35 And he sat down, and called the twelve, and saith unto them, If any man desire to be first, the same shall be last of all, and servant of all.(KJV-1611) Mar 9:35 Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun.(Creole-HT) ======= Mark 9:36 ============ Mar 9:36 And he took a child, and set him in the midst of them: and when he had taken him in his arms, he said unto them,(KJV-1611) Mar 9:36 Epi li pran yon timoun piti, li mete l' nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l', li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Mark 9:37 ============ Mar 9:37 Whosoever shall receive one of such children in my name, receiveth me: and whosoever shall receive me, receiveth not me, but him that sent me.(KJV-1611) Mar 9:37 -Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m' lan li resevwa.(Creole-HT) ======= Mark 9:38 ============ Mar 9:38 And John answered him, saying, Master, we saw one casting out devils in thy name, and he followeth not us: and we forbad him, because he followeth not us.(KJV-1611) Mar 9:38 Jan di l' konsa: -Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou.(Creole-HT) ======= Mark 9:39 ============ Mar 9:39 But Jesus said, Forbid him not: for there is no man which shall do a miracle in my name, that can lightly speak evil of me.(KJV-1611) Mar 9:39 Jezi reponn li: -Kite l' non. Paske yon moun ki pran non m' pou fè mirak pa kapab pale m' mal apre sa.(Creole-HT) ======= Mark 9:40 ============ Mar 9:40 For he that is not against us is on our part.(KJV-1611) Mar 9:40 Moun ki pa kont nou, se moun pa nou li ye.(Creole-HT) ======= Mark 9:41 ============ Mar 9:41 For whosoever shall give you a cup of water to drink in my name, because ye belong to Christ, verily I say unto you, he shall not lose his reward.(KJV-1611) Mar 9:41 Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gen dwa pèdi rekonpans li.(Creole-HT) ======= Mark 9:42 ============ Mar 9:42 And whosoever shall offend one of these little ones that believe in me, it is better for him that a millstone were hanged about his neck, and he were cast into the sea.(KJV-1611) Mar 9:42 Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòl moulen nan kou l', voye li jete nan lanmè.(Creole-HT) ======= Mark 9:43 ============ Mar 9:43 And if thy hand offend thee, cut it off: it is better for thee to enter into life maimed, than having two hands to go into hell, into the fire that never shall be quenched:(KJV-1611) Mar 9:43 Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri.(Creole-HT) ======= Mark 9:44 ============ Mar 9:44 Where their worm dieth not, and the fire is not quenched.(KJV-1611) Mar 9:44 Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.(Creole-HT) ======= Mark 9:45 ============ Mar 9:45 And if thy foot offend thee, cut it off: it is better for thee to enter halt into life, than having two feet to be cast into hell, into the fire that never shall be quenched:(KJV-1611) Mar 9:45 Si se pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye li jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de pye ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.(Creole-HT) ======= Mark 9:46 ============ Mar 9:46 Where their worm dieth not, and the fire is not quenched.(KJV-1611) Mar 9:46 Nan lanfè, dife sa a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.(Creole-HT) ======= Mark 9:47 ============ Mar 9:47 And if thine eye offend thee, pluck it out: it is better for thee to enter into the kingdom of God with one eye, than having two eyes to be cast into hell fire:(KJV-1611) Mar 9:47 Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye l' jete. Pito ou antre nan Peyi kote Bondye Wa a ak yon sèl je, pase pou ou rete ak tou de je ou, apre sa pou yo jete ou nan lanfè.(Creole-HT) ======= Mark 9:48 ============ Mar 9:48 Where their worm dieth not, and the fire is not quenched.(KJV-1611) Mar 9:48 La, dife a ansanm ak vè k'ap manje kadav yo pa janm mouri.(Creole-HT) ======= Mark 9:49 ============ Mar 9:49 For every one shall be salted with fire, and every sacrifice shall be salted with salt.(KJV-1611) Mar 9:49 Paske, tout moun ap sale ak dife.(Creole-HT) ======= Mark 9:50 ============ Mar 9:50 Salt is good: but if the salt have lost his saltness, wherewith will ye season it? Have salt in yourselves, and have peace one with another.(KJV-1611) Mar 9:50 Sèl, se yon bon bagay. Men, si sèl la pèdi gou l', ak kisa poun sale l' ankò? Mete sèl nan kè nou, epi viv byen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Mark 10:1 ============ Mar 10:1 And he arose from thence, and cometh into the coasts of Judaea by the farther side of Jordan: and the people resort unto him again; and, as he was wont, he taught them again.(KJV-1611) Mar 10:1 Jezi kite kote l' te ye a; li ale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l'; li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l' te toujou konn fè a.(Creole-HT) ======= Mark 10:2 ============ Mar 10:2 And the Pharisees came to him, and asked him, Is it lawful for a man to put away his wife? tempting him.(KJV-1611) Mar 10:2 Kèk farizyen pwoche bò kote l' pou yo wè si yo te kapab pran l' nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?(Creole-HT) ======= Mark 10:3 ============ Mar 10:3 And he answered and said unto them, What did Moses command you?(KJV-1611) Mar 10:3 Li reponn yo: -Kisa Moyiz te ban nou lòd fè?(Creole-HT) ======= Mark 10:4 ============ Mar 10:4 And they said, Moses suffered to write a bill of divorcement, and to put her away.(KJV-1611) Mar 10:4 Yo di l': -Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l' kite avèk li.(Creole-HT) ======= Mark 10:5 ============ Mar 10:5 And Jesus answered and said unto them, For the hardness of your heart he wrote you this precept.(KJV-1611) Mar 10:5 Lè sa a, Jezi di yo: -Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di.(Creole-HT) ======= Mark 10:6 ============ Mar 10:6 But from the beginning of the creation God made them male and female.(KJV-1611) Mar 10:6 Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.(Creole-HT) ======= Mark 10:7 ============ Mar 10:7 For this cause shall a man leave his father and mother, and cleave to his wife;(KJV-1611) Mar 10:7 Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt ansanm ak madanm li.(Creole-HT) ======= Mark 10:8 ============ Mar 10:8 And they twain shall be one flesh: so then they are no more twain, but one flesh.(KJV-1611) Mar 10:8 Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl.(Creole-HT) ======= Mark 10:9 ============ Mar 10:9 What therefore God hath joined together, let not man put asunder.(KJV-1611) Mar 10:9 Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.(Creole-HT) ======= Mark 10:10 ============ Mar 10:10 And in the house his disciples asked him again of the same matter.(KJV-1611) Mar 10:10 Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l' keksyon ankò sou bagay sa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:11 ============ Mar 10:11 And he saith unto them, Whosoever shall put away his wife, and marry another, committeth adultery against her.(KJV-1611) Mar 10:11 Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li.(Creole-HT) ======= Mark 10:12 ============ Mar 10:12 And if a woman shall put away her husband, and be married to another, she committeth adultery.(KJV-1611) Mar 10:12 Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l' pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.(Creole-HT) ======= Mark 10:13 ============ Mar 10:13 And they brought young children to him, that he should touch them: and his disciples rebuked those that brought them.(KJV-1611) Mar 10:13 Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa.(Creole-HT) ======= Mark 10:14 ============ Mar 10:14 But when Jesus saw it, he was much displeased, and said unto them, Suffer the little children to come unto me, and forbid them not: for of such is the kingdom of God.(KJV-1611) Mar 10:14 Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo.(Creole-HT) ======= Mark 10:15 ============ Mar 10:15 Verily I say unto you, Whosoever shall not receive the kingdom of God as a little child, he shall not enter therein.(KJV-1611) Mar 10:15 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:16 ============ Mar 10:16 And he took them up in his arms, put his hands upon them, and blessed them.(KJV-1611) Mar 10:16 Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo.(Creole-HT) ======= Mark 10:17 ============ Mar 10:17 And when he was gone forth into the way, there came one running, and kneeled to him, and asked him, Good Master, what shall I do that I may inherit eternal life?(KJV-1611) Mar 10:17 Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?(Creole-HT) ======= Mark 10:18 ============ Mar 10:18 And Jesus said unto him, Why callest thou me good? there is none good but one, that is, God.(KJV-1611) Mar 10:18 Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 10:19 ============ Mar 10:19 Thou knowest the commandments, Do not commit adultery, Do not kill, Do not steal, Do not bear false witness, Defraud not, Honour thy father and mother.(KJV-1611) Mar 10:19 Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.(Creole-HT) ======= Mark 10:20 ============ Mar 10:20 And he answered and said unto him, Master, all these have I observed from my youth.(KJV-1611) Mar 10:20 Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te ti katkat.(Creole-HT) ======= Mark 10:21 ============ Mar 10:21 Then Jesus beholding him loved him, and said unto him, One thing thou lackest: go thy way, sell whatsoever thou hast, and give to the poor, and thou shalt have treasure in heaven: and come, take up the cross, and follow me.(KJV-1611) Mar 10:21 Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.(Creole-HT) ======= Mark 10:22 ============ Mar 10:22 And he was sad at that saying, and went away grieved: for he had great possessions.(KJV-1611) Mar 10:22 Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen.(Creole-HT) ======= Mark 10:23 ============ Mar 10:23 And Jesus looked round about, and saith unto his disciples, How hardly shall they that have riches enter into the kingdom of God!(KJV-1611) Mar 10:23 Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:24 ============ Mar 10:24 And the disciples were astonished at his words. But Jesus answereth again, and saith unto them, Children, how hard is it for them that trust in riches to enter into the kingdom of God!(KJV-1611) Mar 10:24 Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:25 ============ Mar 10:25 It is easier for a camel to go through the eye of a needle, than for a rich man to enter into the kingdom of God.(KJV-1611) Mar 10:25 L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:26 ============ Mar 10:26 And they were astonished out of measure, saying among themselves, Who then can be saved?(KJV-1611) Mar 10:26 Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?(Creole-HT) ======= Mark 10:27 ============ Mar 10:27 And Jesus looking upon them saith, With men it is impossible, but not with God: for with God all things are possible.(KJV-1611) Mar 10:27 Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.(Creole-HT) ======= Mark 10:28 ============ Mar 10:28 Then Peter began to say unto him, Lo, we have left all, and have followed thee.(KJV-1611) Mar 10:28 Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou.(Creole-HT) ======= Mark 10:29 ============ Mar 10:29 And Jesus answered and said, Verily I say unto you, There is no man that hath left house, or brethren, or sisters, or father, or mother, or wife, or children, or lands, for my sake, and the gospel's,(KJV-1611) Mar 10:29 Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la,(Creole-HT) ======= Mark 10:30 ============ Mar 10:30 But he shall receive an hundredfold now in this time, houses, and brethren, and sisters, and mothers, and children, and lands, with persecutions; and in the world to come eternal life.(KJV-1611) Mar 10:30 moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Mark 10:31 ============ Mar 10:31 But many that are first shall be last; and the last first.(KJV-1611) Mar 10:31 Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.(Creole-HT) ======= Mark 10:32 ============ Mar 10:32 And they were in the way going up to Jerusalem; and Jesus went before them: and they were amazed; and as they followed, they were afraid. And he took again the twelve, and began to tell them what things should happen unto him,(KJV-1611) Mar 10:32 Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li.(Creole-HT) ======= Mark 10:33 ============ Mar 10:33 Saying, Behold, we go up to Jerusalem; and the Son of man shall be delivered unto the chief priests, and unto the scribes; and they shall condemn him to death, and shall deliver him to the Gentiles:(KJV-1611) Mar 10:33 Li di yo: -Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Mark 10:34 ============ Mar 10:34 And they shall mock him, and shall scourge him, and shall spit upon him, and shall kill him: and the third day he shall rise again.(KJV-1611) Mar 10:34 Moun lòt nasyon sa yo va pase m' nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Mark 10:35 ============ Mar 10:35 And James and John, the sons of Zebedee, come unto him, saying, Master, we would that thou shouldest do for us whatsoever we shall desire.(KJV-1611) Mar 10:35 Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kot Jezi, yo di l' konsa: -Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou.(Creole-HT) ======= Mark 10:36 ============ Mar 10:36 And he said unto them, What would ye that I should do for you?(KJV-1611) Mar 10:36 Li di yo: -Kisa nou ta vle m' fè pou nou?(Creole-HT) ======= Mark 10:37 ============ Mar 10:37 They said unto him, Grant unto us that we may sit, one on thy right hand, and the other on thy left hand, in thy glory.(KJV-1611) Mar 10:37 Yo di li: -Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè wa nan tout bèl pouvwa ou.(Creole-HT) ======= Mark 10:38 ============ Mar 10:38 But Jesus said unto them, Ye know not what ye ask: can ye drink of the cup that I drink of? and be baptized with the baptism that I am baptized with?(KJV-1611) Mar 10:38 Jezi reponn yo: -Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?(Creole-HT) ======= Mark 10:39 ============ Mar 10:39 And they said unto him, We can. And Jesus said unto them, Ye shall indeed drink of the cup that I drink of; and with the baptism that I am baptized withal shall ye be baptized:(KJV-1611) Mar 10:39 Yo di li: -Nou kapab. Jezi reponn yo: -Se vre. n'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.(Creole-HT) ======= Mark 10:40 ============ Mar 10:40 But to sit on my right hand and on my left hand is not mine to give; but it shall be given to them for whom it is prepared.(KJV-1611) Mar 10:40 Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle.(Creole-HT) ======= Mark 10:41 ============ Mar 10:41 And when the ten heard it, they began to be much displeased with James and John.(KJV-1611) Mar 10:41 Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou Jak ak Jan.(Creole-HT) ======= Mark 10:42 ============ Mar 10:42 But Jesus called them to him, and saith unto them, Ye know that they which are accounted to rule over the Gentiles exercise lordship over them; and their great ones exercise authority upon them.(KJV-1611) Mar 10:42 Jezi rele yo, li di yo konsa: -Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav; grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Mark 10:43 ============ Mar 10:43 But so shall it not be among you: but whosoever will be great among you, shall be your minister:(KJV-1611) Mar 10:43 Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.(Creole-HT) ======= Mark 10:44 ============ Mar 10:44 And whosoever of you will be the chiefest, shall be servant of all.(KJV-1611) Mar 10:44 Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout.(Creole-HT) ======= Mark 10:45 ============ Mar 10:45 For even the Son of man came not to be ministered unto, but to minister, and to give his life a ransom for many.(KJV-1611) Mar 10:45 Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.(Creole-HT) ======= Mark 10:46 ============ Mar 10:46 And they came to Jericho: and as he went out of Jericho with his disciples and a great number of people, blind Bartimaeus, the son of Timaeus, sat by the highway side begging.(KJV-1611) Mar 10:46 Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l' Batime, pitit Time.(Creole-HT) ======= Mark 10:47 ============ Mar 10:47 And when he heard that it was Jesus of Nazareth, he began to cry out, and say, Jesus, thou son of David, have mercy on me.(KJV-1611) Mar 10:47 Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Mark 10:48 ============ Mar 10:48 And many charged him that he should hold his peace: but he cried the more a great deal, Thou son of David, have mercy on me.(KJV-1611) Mar 10:48 Anpil moun t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Mark 10:49 ============ Mar 10:49 And Jesus stood still, and commanded him to be called. And they call the blind man, saying unto him, Be of good comfort, rise; he calleth thee.(KJV-1611) Mar 10:49 Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l' pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou.(Creole-HT) ======= Mark 10:50 ============ Mar 10:50 And he, casting away his garment, rose, and came to Jesus.(KJV-1611) Mar 10:50 Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 10:51 ============ Mar 10:51 And Jesus answered and said unto him, What wilt thou that I should do unto thee? The blind man said unto him, Lord, that I might receive my sight.(KJV-1611) Mar 10:51 Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò.(Creole-HT) ======= Mark 10:52 ============ Mar 10:52 And Jesus said unto him, Go thy way; thy faith hath made thee whole. And immediately he received his sight, and followed Jesus in the way.(KJV-1611) Mar 10:52 Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.(Creole-HT) ======= Mark 11:1 ============ Mar 11:1 And when they came nigh to Jerusalem, unto Bethphage and Bethany, at the mount of Olives, he sendeth forth two of his disciples,(KJV-1611) Mar 11:1 Yo t'ap pwoche bò Jerizalèm, bò bouk Betfaje ak Betani, yo te rive sou mòn Oliv l'a. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:2 ============ Mar 11:2 And saith unto them, Go your way into the village over against you: and as soon as ye be entered into it, ye shall find a colt tied, whereon never man sat; loose him, and bring him.(KJV-1611) Mar 11:2 Li di yo: -Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pesonn poko janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen.(Creole-HT) ======= Mark 11:3 ============ Mar 11:3 And if any man say unto you, Why do ye this? say ye that the Lord hath need of him; and straightway he will send him hither.(KJV-1611) Mar 11:3 Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt la ki bezwen li. L'ap voye ti bourik la tounen touswit.(Creole-HT) ======= Mark 11:4 ============ Mar 11:4 And they went their way, and found the colt tied by the door without in a place where two ways met; and they loose him.(KJV-1611) Mar 11:4 Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li.(Creole-HT) ======= Mark 11:5 ============ Mar 11:5 And certain of them that stood there said unto them, What do ye, loosing the colt?(KJV-1611) Mar 11:5 Kèk moun ki te la di yo konsa: -Sa n'ap fè la a? Pouki n'ap lage ti bourik la?(Creole-HT) ======= Mark 11:6 ============ Mar 11:6 And they said unto them even as Jesus had commanded: and they let them go.(KJV-1611) Mar 11:6 Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale.(Creole-HT) ======= Mark 11:7 ============ Mar 11:7 And they brought the colt to Jesus, and cast their garments on him; and he sat upon him.(KJV-1611) Mar 11:7 Yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo mete rad sou do li, epi Jezi moute chita.(Creole-HT) ======= Mark 11:8 ============ Mar 11:8 And many spread their garments in the way: and others cut down branches off the trees, and strawed them in the way.(KJV-1611) Mar 11:8 Anpil moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete atè nan chemen an.(Creole-HT) ======= Mark 11:9 ============ Mar 11:9 And they that went before, and they that followed, cried, saying, Hosanna; Blessed is he that cometh in the name of the Lord:(KJV-1611) Mar 11:9 Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.(Creole-HT) ======= Mark 11:10 ============ Mar 11:10 Blessed be the kingdom of our father David, that cometh in the name of the Lord: Hosanna in the highest.(KJV-1611) Mar 11:10 Wi, benediksyon pou gouvènman k'ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!(Creole-HT) ======= Mark 11:11 ============ Mar 11:11 And Jesus entered into Jerusalem, and into the temple: and when he had looked round about upon all things, and now the eventide was come, he went out unto Bethany with the twelve.(KJV-1611) Mar 11:11 Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l' sou tout bagay. Apre sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.(Creole-HT) ======= Mark 11:12 ============ Mar 11:12 And on the morrow, when they were come from Bethany, he was hungry:(KJV-1611) Mar 11:12 Nan denmen, antan yo t'ap soti Betani, Jezi te grangou.(Creole-HT) ======= Mark 11:13 ============ Mar 11:13 And seeing a fig tree afar off having leaves, he came, if haply he might find any thing thereon: and when he came to it, he found nothing but leaves; for the time of figs was not yet.(KJV-1611) Mar 11:13 Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. li al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l', se fèy ase li jwenn, paske se pa t' sezon fig frans.(Creole-HT) ======= Mark 11:14 ============ Mar 11:14 And Jesus answered and said unto it, No man eat fruit of thee hereafter for ever. And his disciples heard it.(KJV-1611) Mar 11:14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l' te di a.(Creole-HT) ======= Mark 11:15 ============ Mar 11:15 And they come to Jerusalem: and Jesus went into the temple, and began to cast out them that sold and bought in the temple, and overthrew the tables of the moneychangers, and the seats of them that sold doves;(KJV-1611) Mar 11:15 Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:16 ============ Mar 11:16 And would not suffer that any man should carry any vessel through the temple.(KJV-1611) Mar 11:16 Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:17 ============ Mar 11:17 And he taught, saying unto them, Is it not written, My house shall be called of all nations the house of prayer? but ye have made it a den of thieves.(KJV-1611) Mar 11:17 Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò.(Creole-HT) ======= Mark 11:18 ============ Mar 11:18 And the scribes and chief priests heard it, and sought how they might destroy him: for they feared him, because all the people was astonished at his doctrine.(KJV-1611) Mar 11:18 Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l'; paske yo te vin pè l', lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:19 ============ Mar 11:19 And when even was come, he went out of the city.(KJV-1611) Mar 11:19 Lè solèy fin kouche, Jezi soti kite lavil la ansanm ak disip li yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:20 ============ Mar 11:20 And in the morning, as they passed by, they saw the fig tree dried up from the roots.(KJV-1611) Mar 11:20 Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen.(Creole-HT) ======= Mark 11:21 ============ Mar 11:21 And Peter calling to remembrance saith unto him, Master, behold, the fig tree which thou cursedst is withered away.(KJV-1611) Mar 11:21 Pyè vin chonje sak te pase. Li di Jezi konsa: -Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.(Creole-HT) ======= Mark 11:22 ============ Mar 11:22 And Jesus answering saith unto them, Have faith in God.(KJV-1611) Mar 11:22 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 11:23 ============ Mar 11:23 For verily I say unto you, That whosoever shall say unto this mountain, Be thou removed, and be thou cast into the sea; and shall not doubt in his heart, but shall believe that those things which he saith shall come to pass; he shall have whatsoever he saith.(KJV-1611) Mar 11:23 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l' pa gen doutans nan kè l' menm, si l' gen fèm konviksyon sa l' di a gen pou rive, la wè l' rive vre.(Creole-HT) ======= Mark 11:24 ============ Mar 11:24 Therefore I say unto you, What things soever ye desire, when ye pray, believe that ye receive them, and ye shall have them.(KJV-1611) Mar 11:24 Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l' deja, n'a wè sa rive vre.(Creole-HT) ======= Mark 11:25 ============ Mar 11:25 And when ye stand praying, forgive, if ye have ought against any: that your Father also which is in heaven may forgive you your trespasses.(KJV-1611) Mar 11:25 Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l', pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.(Creole-HT) ======= Mark 11:26 ============ Mar 11:26 But if ye do not forgive, neither will your Father which is in heaven forgive your trespasses.(KJV-1611) Mar 11:26 Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.(Creole-HT) ======= Mark 11:27 ============ Mar 11:27 And they come again to Jerusalem: and as he was walking in the temple, there come to him the chief priests, and the scribes, and the elders,(KJV-1611) Mar 11:27 Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.(Creole-HT) ======= Mark 11:28 ============ Mar 11:28 And say unto him, By what authority doest thou these things? and who gave thee this authority to do these things?(KJV-1611) Mar 11:28 Yo di l' konsa: -Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo?(Creole-HT) ======= Mark 11:29 ============ Mar 11:29 And Jesus answered and said unto them, I will also ask of you one question, and answer me, and I will tell you by what authority I do these things.(KJV-1611) Mar 11:29 Jezi reponn yo: -Mwen pral poze nou yon sèl keksyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Mark 11:30 ============ Mar 11:30 The baptism of John, was it from heaven, or of men? answer me.(KJV-1611) Mar 11:30 Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.(Creole-HT) ======= Mark 11:31 ============ Mar 11:31 And they reasoned with themselves, saying, If we shall say, From heaven; he will say, Why then did ye not believe him?(KJV-1611) Mar 11:31 Men, yonn t'ap di lòt konsa: -Si nou reponn: Se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li.(Creole-HT) ======= Mark 11:32 ============ Mar 11:32 But if we shall say, Of men; they feared the people: for all men counted John, that he was a prophet indeed.(KJV-1611) Mar 11:32 Si nou reponn: Se moun ki voye l'... oum! Yo te pè pèp la, paske tout moun sa yo te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.(Creole-HT) ======= Mark 11:33 ============ Mar 11:33 And they answered and said unto Jesus, We cannot tell. And Jesus answering saith unto them, Neither do I tell you by what authority I do these things.(KJV-1611) Mar 11:33 Lè sa a yo reponn Jezi: -Nou pa konnen. Jezi di yo: -Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Mark 12:1 ============ Mar 12:1 And he began to speak unto them by parables. A certain man planted a vineyard, and set an hedge about it, and digged a place for the winefat, and built a tower, and let it out to husbandmen, and went into a far country.(KJV-1611) Mar 12:1 Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. -Vwala, se yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li fèmen l' ak yon lantouraj, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon kay pou moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li avèk kèk moun ki pou okipe jaden an pou li. Li pati, li al nan vwayaj.(Creole-HT) ======= Mark 12:2 ============ Mar 12:2 And at the season he sent to the husbandmen a servant, that he might receive from the husbandmen of the fruit of the vineyard.(KJV-1611) Mar 12:2 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo.(Creole-HT) ======= Mark 12:3 ============ Mar 12:3 And they caught him, and beat him, and sent him away empty.(KJV-1611) Mar 12:3 Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen.(Creole-HT) ======= Mark 12:4 ============ Mar 12:4 And again he sent unto them another servant; and at him they cast stones, and wounded him in the head, and sent him away shamefully handled.(KJV-1611) Mar 12:4 Mèt jaden an voye yon lòt domestik bò kote yo ankò. Fwa sa a menm, yo bat li nan tèt ase, epi yo joure l' byen joure.(Creole-HT) ======= Mark 12:5 ============ Mar 12:5 And again he sent another; and him they killed, and many others; beating some, and killing some.(KJV-1611) Mar 12:5 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye sa a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye.(Creole-HT) ======= Mark 12:6 ============ Mar 12:6 Having yet therefore one son, his wellbeloved, he sent him also last unto them, saying, They will reverence my son.(KJV-1611) Mar 12:6 Sèl moun mèt jaden an te rete pou l' te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l' an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l': Omwens y'a gen respè pou gason m' lan.(Creole-HT) ======= Mark 12:7 ============ Mar 12:7 But those husbandmen said among themselves, This is the heir; come, let us kill him, and the inheritance shall be our's.(KJV-1611) Mar 12:7 Men, kiltivatè yo yonn di lòt: Men eritye a. Ann mete tèt nou ansanm. Ann touye l', konsa jaden an va vin pou nou.(Creole-HT) ======= Mark 12:8 ============ Mar 12:8 And they took him, and killed him, and cast him out of the vineyard.(KJV-1611) Mar 12:8 Yo mete men sou li, yo touye l', epi yo jete kò a deyò lòt bò jaden an.(Creole-HT) ======= Mark 12:9 ============ Mar 12:9 What shall therefore the lord of the vineyard do? he will come and destroy the husbandmen, and will give the vineyard unto others.(KJV-1611) Mar 12:9 Bon! Kisa mèt jaden an gen pou l' fè ankò? La vini, la fè touye tout kiltivatè yo, epi la bay lòt moun jaden rezen an.(Creole-HT) ======= Mark 12:10 ============ Mar 12:10 And have ye not read this scripture; The stone which the builders rejected is become the head of the corner:(KJV-1611) Mar 12:10 Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.(Creole-HT) ======= Mark 12:11 ============ Mar 12:11 This was the Lord's doing, and it is marvellous in our eyes?(KJV-1611) Mar 12:11 Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa.(Creole-HT) ======= Mark 12:12 ============ Mar 12:12 And they sought to lay hold on him, but feared the people: for they knew that he had spoken the parable against them: and they left him, and went their way.(KJV-1611) Mar 12:12 Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te konnen byen se pou yo Jezi te di parabòl sa a. Men, yo te pè mas pèp la. Yo kite l', y' al fè wout yo.(Creole-HT) ======= Mark 12:13 ============ Mar 12:13 And they send unto him certain of the Pharisees and of the Herodians, to catch him in his words.(KJV-1611) Mar 12:13 Yo te voye kèk farizyen ansanm ak kèk nan patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li.(Creole-HT) ======= Mark 12:14 ============ Mar 12:14 And when they were come, they say unto him, Master, we know that thou art true, and carest for no man: for thou regardest not the person of men, but teachest the way of God in truth: Is it lawful to give tribute to Caesar, or not?(KJV-1611) Mar 12:14 Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non?(Creole-HT) ======= Mark 12:15 ============ Mar 12:15 Shall we give, or shall we not give? But he, knowing their hypocrisy, said unto them, Why tempt ye me? bring me a penny, that I may see it.(KJV-1611) Mar 12:15 Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay.(Creole-HT) ======= Mark 12:16 ============ Mar 12:16 And they brought it. And he saith unto them, Whose is this image and superscription? And they said unto him, Caesar's.(KJV-1611) Mar 12:16 Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza.(Creole-HT) ======= Mark 12:17 ============ Mar 12:17 And Jesus answering said unto them, Render to Caesar the things that are Caesar's, and to God the things that are God's. And they marvelled at him.(KJV-1611) Mar 12:17 Lè sa a, li di yo: -Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò.(Creole-HT) ======= Mark 12:18 ============ Mar 12:18 Then come unto him the Sadducees, which say there is no resurrection; and they asked him, saying,(KJV-1611) Mar 12:18 Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa:(Creole-HT) ======= Mark 12:19 ============ Mar 12:19 Master, Moses wrote unto us, If a man's brother die, and leave his wife behind him, and leave no children, that his brother should take his wife, and raise up seed unto his brother.(KJV-1611) Mar 12:19 -Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l' mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l' ki mouri a.(Creole-HT) ======= Mark 12:20 ============ Mar 12:20 Now there were seven brethren: and the first took a wife, and dying left no seed.(KJV-1611) Mar 12:20 Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit.(Creole-HT) ======= Mark 12:21 ============ Mar 12:21 And the second took her, and died, neither left he any seed: and the third likewise.(KJV-1611) Mar 12:21 Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l' pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou.(Creole-HT) ======= Mark 12:22 ============ Mar 12:22 And the seven had her, and left no seed: last of all the woman died also.(KJV-1611) Mar 12:22 Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri.(Creole-HT) ======= Mark 12:23 ============ Mar 12:23 In the resurrection therefore, when they shall rise, whose wife shall she be of them? for the seven had her to wife.(KJV-1611) Mar 12:23 Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo?(Creole-HT) ======= Mark 12:24 ============ Mar 12:24 And Jesus answering said unto them, Do ye not therefore err, because ye know not the scriptures, neither the power of God?(KJV-1611) Mar 12:24 Jezi reponn yo: -Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 12:25 ============ Mar 12:25 For when they shall rise from the dead, they neither marry, nor are given in marriage; but are as the angels which are in heaven.(KJV-1611) Mar 12:25 Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.(Creole-HT) ======= Mark 12:26 ============ Mar 12:26 And as touching the dead, that they rise: have ye not read in the book of Moses, how in the bush God spake unto him, saying, I am the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob?(KJV-1611) Mar 12:26 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?(Creole-HT) ======= Mark 12:27 ============ Mar 12:27 He is not the God of the dead, but the God of the living: ye therefore do greatly err.(KJV-1611) Mar 12:27 Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre?(Creole-HT) ======= Mark 12:28 ============ Mar 12:28 And one of the scribes came, and having heard them reasoning together, and perceiving that he had answered them well, asked him, Which is the first commandment of all?(KJV-1611) Mar 12:28 Yonn nan dirèktè lalwa yo te tande jan yo t'ap diskite. Li wè Jezi te byen reponn sadiseyen yo. Lè sa a, li pwoche bò kote l', li mande li: -Kilès nan tout kòmandman yo ki pi konsekan an?(Creole-HT) ======= Mark 12:29 ============ Mar 12:29 And Jesus answered him, The first of all the commandments is, Hear, O Israel; The Lord our God is one Lord:(KJV-1611) Mar 12:29 Jezi reponn li: -Men kòmandman ki pi konsekan an: Koute, nou menm pèp Izrayèl: Mèt la, Bondye nou, se li ki sèl Mèt la.(Creole-HT) ======= Mark 12:30 ============ Mar 12:30 And thou shalt love the Lord thy God with all thy heart, and with all thy soul, and with all thy mind, and with all thy strength: this is the first commandment.(KJV-1611) Mar 12:30 Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.(Creole-HT) ======= Mark 12:31 ============ Mar 12:31 And the second is like, namely this, Thou shalt love thy neighbour as thyself. There is none other commandment greater than these.(KJV-1611) Mar 12:31 Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo.(Creole-HT) ======= Mark 12:32 ============ Mar 12:32 And the scribe said unto him, Well, Master, thou hast said the truth: for there is one God; and there is none other but he:(KJV-1611) Mar 12:32 Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: -Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Met nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li.(Creole-HT) ======= Mark 12:33 ============ Mar 12:33 And to love him with all the heart, and with all the understanding, and with all the soul, and with all the strength, and to love his neighbour as himself, is more than all whole burnt offerings and sacrifices.(KJV-1611) Mar 12:33 Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li.(Creole-HT) ======= Mark 12:34 ============ Mar 12:34 And when Jesus saw that he answered discreetly, he said unto him, Thou art not far from the kingdom of God. And no man after that durst ask him any question.(KJV-1611) Mar 12:34 Jezi wè nonm lan te fè l' yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: -Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.(Creole-HT) ======= Mark 12:35 ============ Mar 12:35 And Jesus answered and said, while he taught in the temple, How say the scribes that Christ is the son of David?(KJV-1611) Mar 12:35 Pandan Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan, li di yo: -Ki jan dirèktè lalwa yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?(Creole-HT) ======= Mark 12:36 ============ Mar 12:36 For David himself said by the Holy Ghost, The LORD said to my Lord, Sit thou on my right hand, till I make thine enemies thy footstool.(KJV-1611) Mar 12:36 Poutan, men sa David te di (se Sentespri menm ki te fè l' di l'): Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.(Creole-HT) ======= Mark 12:37 ============ Mar 12:37 David therefore himself calleth him Lord; and whence is he then his son? And the common people heard him gladly.(KJV-1611) Mar 12:37 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit David? Yon pakèt moun t'ap koute Jezi avèk plezi.(Creole-HT) ======= Mark 12:38 ============ Mar 12:38 And he said unto them in his doctrine, Beware of the scribes, which love to go in long clothing, and love salutations in the marketplaces,(KJV-1611) Mar 12:38 Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: -Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Mark 12:39 ============ Mar 12:39 And the chief seats in the synagogues, and the uppermost rooms at feasts:(KJV-1611) Mar 12:39 Lè y' al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resepsyon yo chache pi bon plas la.(Creole-HT) ======= Mark 12:40 ============ Mar 12:40 Which devour widows' houses, and for a pretence make long prayers: these shall receive greater damnation.(KJV-1611) Mar 12:40 Se piye y'ap piye malerèz yo, an menm tan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd.(Creole-HT) ======= Mark 12:41 ============ Mar 12:41 And Jesus sat over against the treasury, and beheld how the people cast money into the treasury: and many that were rich cast in much.(KJV-1611) Mar 12:41 Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan.(Creole-HT) ======= Mark 12:42 ============ Mar 12:42 And there came a certain poor widow, and she threw in two mites, which make a farthing.(KJV-1611) Mar 12:42 Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t' menm fè mwatye senk kòb.(Creole-HT) ======= Mark 12:43 ============ Mar 12:43 And he called unto him his disciples, and saith unto them, Verily I say unto you, That this poor widow hath cast more in, than all they which have cast into the treasury:(KJV-1611) Mar 12:43 Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la.(Creole-HT) ======= Mark 12:44 ============ Mar 12:44 For all they did cast in of their abundance; but she of her want did cast in all that she had, even all her living.(KJV-1611) Mar 12:44 Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te genyen, tout sa l' te gen pou l' viv.(Creole-HT) ======= Mark 13:1 ============ Mar 13:1 And as he went out of the temple, one of his disciples saith unto him, Master, see what manner of stones and what buildings are here!(KJV-1611) Mar 13:1 Antan Jezi t'ap soti nan tanp lan, yonn nan disip li yo di l' konsa: -Mèt, gade. Ala de bèl wòch! Ala yon gwo batisman!(Creole-HT) ======= Mark 13:2 ============ Mar 13:2 And Jesus answering said unto him, Seest thou these great buildings? there shall not be left one stone upon another, that shall not be thrown down.(KJV-1611) Mar 13:2 Jezi reponn li: -Ou wè gwo batisman sa a: yon lè, p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt ladan li. Tou sa pral kraze nèt vide atè.(Creole-HT) ======= Mark 13:3 ============ Mar 13:3 And as he sat upon the mount of Olives over against the temple, Peter and James and John and Andrew asked him privately,(KJV-1611) Mar 13:3 Jezi te chita sou mòn Oliv la, vizaviz ak tanp lan. Pyè, Jak ak Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:(Creole-HT) ======= Mark 13:4 ============ Mar 13:4 Tell us, when shall these things be? and what shall be the sign when all these things shall be fulfilled?(KJV-1611) Mar 13:4 -Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout bagay sa a yo gen pou rive?(Creole-HT) ======= Mark 13:5 ============ Mar 13:5 And Jesus answering them began to say, Take heed lest any man deceive you:(KJV-1611) Mar 13:5 Lè sa a Jezi pran di yo: -Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.(Creole-HT) ======= Mark 13:6 ============ Mar 13:6 For many shall come in my name, saying, I am Christ; and shall deceive many.(KJV-1611) Mar 13:6 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun.(Creole-HT) ======= Mark 13:7 ============ Mar 13:7 And when ye shall hear of wars and rumours of wars, be ye not troubled: for such things must needs be; but the end shall not be yet.(KJV-1611) Mar 13:7 Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.(Creole-HT) ======= Mark 13:8 ============ Mar 13:8 For nation shall rise against nation, and kingdom against kingdom: and there shall be earthquakes in divers places, and there shall be famines and troubles: these are the beginnings of sorrows.(KJV-1611) Mar 13:8 Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi; va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.(Creole-HT) ======= Mark 13:9 ============ Mar 13:9 But take heed to yourselves: for they shall deliver you up to councils; and in the synagogues ye shall be beaten: and ye shall be brought before rulers and kings for my sake, for a testimony against them.(KJV-1611) Mar 13:9 Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m' temwen devan yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:10 ============ Mar 13:10 And the gospel must first be published among all nations.(KJV-1611) Mar 13:10 Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:11 ============ Mar 13:11 But when they shall lead you, and deliver you up, take no thought beforehand what ye shall speak, neither do ye premeditate: but whatsoever shall be given you in that hour, that speak ye: for it is not ye that speak, but the Holy Ghost.(KJV-1611) Mar 13:11 Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa kase tèt nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki va pale, se Sentespri a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.(Creole-HT) ======= Mark 13:12 ============ Mar 13:12 Now the brother shall betray the brother to death, and the father the son; and children shall rise up against their parents, and shall cause them to be put to death.(KJV-1611) Mar 13:12 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:13 ============ Mar 13:13 And ye shall be hated of all men for my name's sake: but he that shall endure unto the end, the same shall be saved.(KJV-1611) Mar 13:13 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen; men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va sove.(Creole-HT) ======= Mark 13:14 ============ Mar 13:14 But when ye shall see the abomination of desolation, spoken of by Daniel the prophet, standing where it ought not, (let him that readeth understand,) then let them that be in Judaea flee to the mountains:(KJV-1611) Mar 13:14 Nou gen pou nou wè bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, chita kote l' pa t' dwe ye. (Se pou tout moun k'ap li sa a chache konprann.) Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide va blije al nan mòn.(Creole-HT) ======= Mark 13:15 ============ Mar 13:15 And let him that is on the housetop not go down into the house, neither enter therein, to take any thing out of his house:(KJV-1611) Mar 13:15 Moun ki va sou tèt kay yo va kouri met deyò san yo p'ap bezwen antre pran zafè yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:16 ============ Mar 13:16 And let him that is in the field not turn back again for to take up his garment.(KJV-1611) Mar 13:16 Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay yo pou pran rechanj yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:17 ============ Mar 13:17 But woe to them that are with child, and to them that give suck in those days!(KJV-1611) Mar 13:17 Lè sa a, se p'ap de lapenn pou fanm ansent ak nouris yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:18 ============ Mar 13:18 And pray ye that your flight be not in the winter.(KJV-1611) Mar 13:18 Lapriyè Bondye pou bagay sa yo pa rive nan tan fredi.(Creole-HT) ======= Mark 13:19 ============ Mar 13:19 For in those days shall be affliction, such as was not from the beginning of the creation which God created unto this time, neither shall be.(KJV-1611) Mar 13:19 Paske lè sa a, n'a wè yon lafliksyon moun poko janm wè, depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè jouk koulye a. p'ap janm gen yon lòt tankou l' ankò.(Creole-HT) ======= Mark 13:20 ============ Mar 13:20 And except that the Lord had shortened those days, no flesh should be saved: but for the elect's sake, whom he hath chosen, he hath shortened the days.(KJV-1611) Mar 13:20 Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.(Creole-HT) ======= Mark 13:21 ============ Mar 13:21 And then if any man shall say to you, Lo, here is Christ; or, lo, he is there; believe him not:(KJV-1611) Mar 13:21 Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Gade, men li lòt bò a, pa kwè li.(Creole-HT) ======= Mark 13:22 ============ Mar 13:22 For false Christs and false prophets shall rise, and shall shew signs and wonders, to seduce, if it were possible, even the elect.(KJV-1611) Mar 13:22 Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt; y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.(Creole-HT) ======= Mark 13:23 ============ Mar 13:23 But take ye heed: behold, I have foretold you all things.(KJV-1611) Mar 13:23 Veye kò nou. Mwen tou di nou tout bagay sa yo davans.(Creole-HT) ======= Mark 13:24 ============ Mar 13:24 But in those days, after that tribulation, the sun shall be darkened, and the moon shall not give her light,(KJV-1611) Mar 13:24 Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalen lan p'ap bay limyè.(Creole-HT) ======= Mark 13:25 ============ Mar 13:25 And the stars of heaven shall fall, and the powers that are in heaven shall be shaken.(KJV-1611) Mar 13:25 Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble.(Creole-HT) ======= Mark 13:26 ============ Mar 13:26 And then shall they see the Son of man coming in the clouds with great power and glory.(KJV-1611) Mar 13:26 Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nwaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.(Creole-HT) ======= Mark 13:27 ============ Mar 13:27 And then shall he send his angels, and shall gather together his elect from the four winds, from the uttermost part of the earth to the uttermost part of heaven.(KJV-1611) Mar 13:27 m'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.(Creole-HT) ======= Mark 13:28 ============ Mar 13:28 Now learn a parable of the fig tree; When her branch is yet tender, and putteth forth leaves, ye know that summer is near:(KJV-1611) Mar 13:28 Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l' kòmanse boujonnen, kou l' pouse fèy, nou konnen lete sou nou.(Creole-HT) ======= Mark 13:29 ============ Mar 13:29 So ye in like manner, when ye shall see these things come to pass, know that it is nigh, even at the doors.(KJV-1611) Mar 13:29 Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye te voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la.(Creole-HT) ======= Mark 13:30 ============ Mar 13:30 Verily I say unto you, that this generation shall not pass, till all these things be done.(KJV-1611) Mar 13:30 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.(Creole-HT) ======= Mark 13:31 ============ Mar 13:31 Heaven and earth shall pass away: but my words shall not pass away.(KJV-1611) Mar 13:31 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.(Creole-HT) ======= Mark 13:32 ============ Mar 13:32 But of that day and that hour knoweth no man, no, not the angels which are in heaven, neither the Son, but the Father.(KJV-1611) Mar 13:32 Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.(Creole-HT) ======= Mark 13:33 ============ Mar 13:33 Take ye heed, watch and pray: for ye know not when the time is.(KJV-1611) Mar 13:33 Kenbe kò nou; pa kite dòmi pran nou; paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.(Creole-HT) ======= Mark 13:34 ============ Mar 13:34 For the Son of Man is as a man taking a far journey, who left his house, and gave authority to his servants, and to every man his work, and commanded the porter to watch.(KJV-1611) Mar 13:34 Se tankou lè yon nonm pati li al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l' pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè; li bay gadyen pòt la lòd pou l' pa dòmi.(Creole-HT) ======= Mark 13:35 ============ Mar 13:35 Watch ye therefore: for ye know not when the master of the house cometh, at even, or at midnight, or at the cockcrowing, or in the morning:(KJV-1611) Mar 13:35 Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.(Creole-HT) ======= Mark 13:36 ============ Mar 13:36 Lest coming suddenly he find you sleeping.(KJV-1611) Mar 13:36 Si l' rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.(Creole-HT) ======= Mark 13:37 ============ Mar 13:37 And what I say unto you I say unto all, Watch.(KJV-1611) Mar 13:37 Sa m' di nou la a, mwen di l' pou tout moun: Pa kite dòmi pran nou.(Creole-HT) ======= Mark 14:1 ============ Mar 14:1 After two days was the feast of the passover, and of unleavened bread: and the chief priests and the scribes sought how they might take him by craft, and put him to death.(KJV-1611) Mar 14:1 Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.(Creole-HT) ======= Mark 14:2 ============ Mar 14:2 But they said, Not on the feast day, lest there be an uproar of the people.(KJV-1611) Mar 14:2 Yonn t'ap di lòt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.(Creole-HT) ======= Mark 14:3 ============ Mar 14:3 And being in Bethany in the house of Simon the leper, as he sat at meat, there came a woman having an alabaster box of ointment of spikenard very precious; and she brake the box, and poured it on his head.(KJV-1611) Mar 14:3 Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 14:4 ============ Mar 14:4 And there were some that had indignation within themselves, and said, Why was this waste of the ointment made?(KJV-1611) Mar 14:4 Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pa t' kontan menm, yonn t'ap di lòt: -Pouki tout gaspiyay odè sa a?(Creole-HT) ======= Mark 14:5 ============ Mar 14:5 For it might have been sold for more than three hundred pence, and have been given to the poor. And they murmured against her.(KJV-1611) Mar 14:5 Yo ta kapab vann li twasan goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò.(Creole-HT) ======= Mark 14:6 ============ Mar 14:6 And Jesus said, Let her alone; why trouble ye her? she hath wrought a good work on me.(KJV-1611) Mar 14:6 Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen.(Creole-HT) ======= Mark 14:7 ============ Mar 14:7 For ye have the poor with you always, and whensoever ye will ye may do them good: but me ye have not always.(KJV-1611) Mar 14:7 Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou.(Creole-HT) ======= Mark 14:8 ============ Mar 14:8 She hath done what she could: she is come aforehand to anoint my body to the burying.(KJV-1611) Mar 14:8 Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen.(Creole-HT) ======= Mark 14:9 ============ Mar 14:9 Verily I say unto you, Wheresoever this gospel shall be preached throughout the whole world, this also that she hath done shall be spoken of for a memorial of her.(KJV-1611) Mar 14:9 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl la, y'a rakonte sa fanm lan fè la a tou pou yo pa janm bliye li.(Creole-HT) ======= Mark 14:10 ============ Mar 14:10 And Judas Iscariot, one of the twelve, went unto the chief priests, to betray him unto them.(KJV-1611) Mar 14:10 Lè sa a, Jida Iskariòt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chèf prèt yo li te pare pou l' te fè yo pran Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 14:11 ============ Mar 14:11 And when they heard it, they were glad, and promised to give him money. And he sought how he might conveniently betray him.(KJV-1611) Mar 14:11 Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo, yo pwomèt pou yo ba l' lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 14:12 ============ Mar 14:12 And the first day of unleavened bread, when they killed the passover, his disciples said unto him, Where wilt thou that we go and prepare that thou mayest eat the passover?(KJV-1611) Mar 14:12 Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan?(Creole-HT) ======= Mark 14:13 ============ Mar 14:13 And he sendeth forth two of his disciples, and saith unto them, Go ye into the city, and there shall meet you a man bearing a pitcher of water: follow him.(KJV-1611) Mar 14:13 Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: -Ale lavil la; n'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li.(Creole-HT) ======= Mark 14:14 ============ Mar 14:14 And wheresoever he shall go in, say ye to the goodman of the house, The Master saith, Where is the guestchamber, where I shall eat the passover with my disciples?(KJV-1611) Mar 14:14 Kote la antre a, antre dèyè li. n'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo.(Creole-HT) ======= Mark 14:15 ============ Mar 14:15 And he will shew you a large upper room furnished and prepared: there make ready for us.(KJV-1611) Mar 14:15 La moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout.(Creole-HT) ======= Mark 14:16 ============ Mar 14:16 And his disciples went forth, and came into the city, and found as he had said unto them: and they made ready the passover.(KJV-1611) Mar 14:16 Disip yo pati, yo rive lavil la; yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Mark 14:17 ============ Mar 14:17 And in the evening he cometh with the twelve.(KJV-1611) Mar 14:17 Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo.(Creole-HT) ======= Mark 14:18 ============ Mar 14:18 And as they sat and did eat, Jesus said, Verily I say unto you, One of you which eateth with me shall betray me.(KJV-1611) Mar 14:18 Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen.(Creole-HT) ======= Mark 14:19 ============ Mar 14:19 And they began to be sorrowful, and to say unto him one by one, Is it I? and another said, Is it I?(KJV-1611) Mar 14:19 Lè sa a, kè disip yo kase; yonn apre lòt yo pran mande li: -Eske se mwen menm?(Creole-HT) ======= Mark 14:20 ============ Mar 14:20 And he answered and said unto them, It is one of the twelve, that dippeth with me in the dish.(KJV-1611) Mar 14:20 Li reponn yo: -Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m' nan plat la.(Creole-HT) ======= Mark 14:21 ============ Mar 14:21 The Son of man indeed goeth, as it is written of him: but woe to that man by whom the Son of man is betrayed! good were it for that man if he had never been born.(KJV-1611) Mar 14:21 Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.(Creole-HT) ======= Mark 14:22 ============ Mar 14:22 And as they did eat, Jesus took bread, and blessed, and brake it, and gave to them, and said, Take, eat: this is my body.(KJV-1611) Mar 14:22 Antan yo t'ap manje, Jezi pranpen, li di Bondye mèsi, li kase l'; li bay disip li yo, li di yo konsa: -Men, pran. Sa se kò mwen.(Creole-HT) ======= Mark 14:23 ============ Mar 14:23 And he took the cup, and when he had given thanks, he gave it to them: and they all drank of it.(KJV-1611) Mar 14:23 Apre sa, li pran yon gode diven tou, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, yo tout bwè ladan li.(Creole-HT) ======= Mark 14:24 ============ Mar 14:24 And he said unto them, This is my blood of the new testament, which is shed for many.(KJV-1611) Mar 14:24 Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.(Creole-HT) ======= Mark 14:25 ============ Mar 14:25 Verily I say unto you, I will drink no more of the fruit of the vine, until that day that I drink it new in the kingdom of God.(KJV-1611) Mar 14:25 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò, jouk jou m'a bwè yon diven nèf nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Mark 14:26 ============ Mar 14:26 And when they had sung an hymn, they went out into the mount of Olives.(KJV-1611) Mar 14:26 Apre yo fin chante chante fèt la, yo soti, y' ale mòn Oliv.(Creole-HT) ======= Mark 14:27 ============ Mar 14:27 And Jesus saith unto them, All ye shall be offended because of me this night: for it is written, I will smite the shepherd, and the sheep shall be scattered.(KJV-1611) Mar 14:27 Jezi di disip li yo: -Nou tout, nou pral kouri kite m' pou kont mwen; paske men sak te ekri: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye nan bwa.(Creole-HT) ======= Mark 14:28 ============ Mar 14:28 But after that I am risen, I will go before you into Galilee.(KJV-1611) Mar 14:28 Men apre, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= Mark 14:29 ============ Mar 14:29 But Peter said unto him, Although all shall be offended, yet will not I.(KJV-1611) Mar 14:29 Pyè di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.(Creole-HT) ======= Mark 14:30 ============ Mar 14:30 And Jesus saith unto him, Verily I say unto thee, That this day, even in this night, before the cock crow twice, thou shalt deny me thrice.(KJV-1611) Mar 14:30 Jezi reponn li: -Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, wa gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.(Creole-HT) ======= Mark 14:31 ============ Mar 14:31 But he spake the more vehemently, If I should die with thee, I will not deny thee in any wise. Likewise also said they all.(KJV-1611) Mar 14:31 Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Mark 14:32 ============ Mar 14:32 And they came to a place which was named Gethsemane: and he saith to his disciples, Sit ye here, while I shall pray.(KJV-1611) Mar 14:32 Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: -Chita la, mwen pral lapriyè pi devan.(Creole-HT) ======= Mark 14:33 ============ Mar 14:33 And he taketh with him Peter and James and John, and began to be sore amazed, and to be very heavy;(KJV-1611) Mar 14:33 Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li.(Creole-HT) ======= Mark 14:34 ============ Mar 14:34 And saith unto them, My soul is exceeding sorrowful unto death: tarry ye here, and watch.(KJV-1611) Mar 14:34 Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou.(Creole-HT) ======= Mark 14:35 ============ Mar 14:35 And he went forward a little, and fell on the ground, and prayed that, if it were possible, the hour might pass from him.(KJV-1611) Mar 14:35 Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a.(Creole-HT) ======= Mark 14:36 ============ Mar 14:36 And he said, Abba, Father, all things are possible unto thee; take away this cup from me: nevertheless not what I will, but what thou wilt.(KJV-1611) Mar 14:36 Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.(Creole-HT) ======= Mark 14:37 ============ Mar 14:37 And he cometh, and findeth them sleeping, and saith unto Peter, Simon, sleepest thou? couldest not thou watch one hour?(KJV-1611) Mar 14:37 Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman?(Creole-HT) ======= Mark 14:38 ============ Mar 14:38 Watch ye and pray, lest ye enter into temptation. The spirit truly is ready, but the flesh is weak.(KJV-1611) Mar 14:38 Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.(Creole-HT) ======= Mark 14:39 ============ Mar 14:39 And again he went away, and prayed, and spake the same words.(KJV-1611) Mar 14:39 Li kite yo ankò, li al fè menm lapriyè a.(Creole-HT) ======= Mark 14:40 ============ Mar 14:40 And when he returned, he found them asleep again, (for their eyes were heavy,) neither wist they what to answer him.(KJV-1611) Mar 14:40 Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.(Creole-HT) ======= Mark 14:41 ============ Mar 14:41 And he cometh the third time, and saith unto them, Sleep on now, and take your rest: it is enough, the hour is come; behold, the Son of man is betrayed into the hands of sinners.(KJV-1611) Mar 14:41 Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.(Creole-HT) ======= Mark 14:42 ============ Mar 14:42 Rise up, let us go; lo, he that betrayeth me is at hand.(KJV-1611) Mar 14:42 Leve non. Ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.(Creole-HT) ======= Mark 14:43 ============ Mar 14:43 And immediately, while he yet spake, cometh Judas, one of the twelve, and with him a great multitude with swords and staves, from the chief priests and the scribes and the elders.(KJV-1611) Mar 14:43 Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li.(Creole-HT) ======= Mark 14:44 ============ Mar 14:44 And he that betrayed him had given them a token, saying, Whomsoever I shall kiss, that same is he; take him, and lead him away safely.(KJV-1611) Mar 14:44 Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l' ba yo yon siyal. Li te di yo: -Moun n'a wè m' bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l' chape.(Creole-HT) ======= Mark 14:45 ============ Mar 14:45 And as soon as he was come, he goeth straightway to him, and saith, Master, master; and kissed him.(KJV-1611) Mar 14:45 Rive Jida rive, li pwoche bò kot Jezi, li di li: -Mèt! Epi li bo li.(Creole-HT) ======= Mark 14:46 ============ Mar 14:46 And they laid their hands on him, and took him.(KJV-1611) Mar 14:46 Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li.(Creole-HT) ======= Mark 14:47 ============ Mar 14:47 And one of them that stood by drew a sword, and smote a servant of the high priest, and cut off his ear.(KJV-1611) Mar 14:47 Yonn nan disip yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la; li koupe yon zòrèy li.(Creole-HT) ======= Mark 14:48 ============ Mar 14:48 And Jesus answered and said unto them, Are ye come out, as against a thief, with swords and with staves to take me?(KJV-1611) Mar 14:48 Jezi pran lapawòl, li di yo: -Nou vin dèyè m' ak nepe, ak baton, tankou si m' te yon ansasen.(Creole-HT) ======= Mark 14:49 ============ Mar 14:49 I was daily with you in the temple teaching, and ye took me not: but the scriptures must be fulfilled.(KJV-1611) Mar 14:49 Men, toulèjou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan; lè sa a nou pa t' janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.(Creole-HT) ======= Mark 14:50 ============ Mar 14:50 And they all forsook him, and fled.(KJV-1611) Mar 14:50 Lè sa a tout disip yo kite l', yo pran kouri.(Creole-HT) ======= Mark 14:51 ============ Mar 14:51 And there followed him a certain young man, having a linen cloth cast about his naked body; and the young men laid hold on him:(KJV-1611) Mar 14:51 Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi; li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou msye.(Creole-HT) ======= Mark 14:52 ============ Mar 14:52 And he left the linen cloth, and fled from them naked.(KJV-1611) Mar 14:52 Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.(Creole-HT) ======= Mark 14:53 ============ Mar 14:53 And they led Jesus away to the high priest: and with him were assembled all the chief priests and the elders and the scribes.(KJV-1611) Mar 14:53 Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini.(Creole-HT) ======= Mark 14:54 ============ Mar 14:54 And Peter followed him afar off, even into the palace of the high priest: and he sat with the servants, and warmed himself at the fire.(KJV-1611) Mar 14:54 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou kay granprèt la. Li te chita avèk gad yo bò dife a, li t'ap chofe kò li.(Creole-HT) ======= Mark 14:55 ============ Mar 14:55 And the chief priests and all the council sought for witness against Jesus to put him to death; and found none.(KJV-1611) Mar 14:55 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l' amò, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm.(Creole-HT) ======= Mark 14:56 ============ Mar 14:56 For many bare false witness against him, but their witness agreed not together.(KJV-1611) Mar 14:56 Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pa t' dakò.(Creole-HT) ======= Mark 14:57 ============ Mar 14:57 And there arose certain, and bare false witness against him, saying,(KJV-1611) Mar 14:57 Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li:(Creole-HT) ======= Mark 14:58 ============ Mar 14:58 We heard him say, I will destroy this temple that is made with hands, and within three days I will build another made without hands.(KJV-1611) Mar 14:58 -Nou te tande l' di: m'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.(Creole-HT) ======= Mark 14:59 ============ Mar 14:59 But neither so did their witness agree together.(KJV-1611) Mar 14:59 Menm sou pwen sa a yo pa t' dakò.(Creole-HT) ======= Mark 14:60 ============ Mar 14:60 And the high priest stood up in the midst, and asked Jesus, saying, Answerest thou nothing? what is it which these witness against thee?(KJV-1611) Mar 14:60 Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi keksyon, li di l' konsa: -Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?(Creole-HT) ======= Mark 14:61 ============ Mar 14:61 But he held his peace, and answered nothing. Again the high priest asked him, and said unto him, Art thou the Christ, the Son of the Blessed?(KJV-1611) Mar 14:61 Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la keksyonnen li ankò, li mande l': -Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?(Creole-HT) ======= Mark 14:62 ============ Mar 14:62 And Jesus said, I am: and ye shall see the Son of man sitting on the right hand of power, and coming in the clouds of heaven.(KJV-1611) Mar 14:62 Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Mark 14:63 ============ Mar 14:63 Then the high priest rent his clothes, and saith, What need we any further witnesses?(KJV-1611) Mar 14:63 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: -Sa nou bezwen temwen ankò fè?(Creole-HT) ======= Mark 14:64 ============ Mar 14:64 Ye have heard the blasphemy: what think ye? And they all condemned him to be guilty of death.(KJV-1611) Mar 14:64 Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò.(Creole-HT) ======= Mark 14:65 ============ Mar 14:65 And some began to spit on him, and to cover his face, and to buffet him, and to say unto him, Prophesy: and the servants did strike him with the palms of their hands.(KJV-1611) Mar 14:65 Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.(Creole-HT) ======= Mark 14:66 ============ Mar 14:66 And as Peter was beneath in the palace, there cometh one of the maids of the high priest:(KJV-1611) Mar 14:66 Antan Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive.(Creole-HT) ======= Mark 14:67 ============ Mar 14:67 And when she saw Peter warming himself, she looked upon him, and said, And thou also wast with Jesus of Nazareth.(KJV-1611) Mar 14:67 Li wè Pyè ap chofe, li gade l' byen. Li di l' konsa: -Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la?(Creole-HT) ======= Mark 14:68 ============ Mar 14:68 But he denied, saying, I know not, neither understand I what thou sayest. And he went out into the porch; and the cock crew.(KJV-1611) Mar 14:68 Pyè reponn: -Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a. Epi Pyè soti pou li al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante.(Creole-HT) ======= Mark 14:69 ============ Mar 14:69 And a maid saw him again, and began to say to them that stood by, This is one of them.(KJV-1611) Mar 14:69 Menm sèvant lan wè l' ankò. Li pran di moun ki te la yo: -Nonm sa a fè pati moun sa yo wi.(Creole-HT) ======= Mark 14:70 ============ Mar 14:70 And he denied it again. And a little after, they that stood by said again to Peter, Surely thou art one of them: for thou art a Galilaean, and thy speech agreeth thereto.(KJV-1611) Mar 14:70 Men Pyè demanti l' ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò: -Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile.(Creole-HT) ======= Mark 14:71 ============ Mar 14:71 But he began to curse and to swear, saying, I know not this man of whom ye speak.(KJV-1611) Mar 14:71 Lè sa a, Pyè kòmanse di: -Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m' si m' manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.(Creole-HT) ======= Mark 14:72 ============ Mar 14:72 And the second time the cock crew. And Peter called to mind the word that Jesus said unto him, Before the cock crow twice, thou shalt deny me thrice. And when he thought thereon, he wept.(KJV-1611) Mar 14:72 Menm lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: anvan kòk chante de fwa, w'a gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.(Creole-HT) ======= Mark 15:1 ============ Mar 15:1 And straightway in the morning the chief priests held a consultation with the elders and scribes and the whole council, and bound Jesus, and carried him away, and delivered him to Pilate.(KJV-1611) Mar 15:1 Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat.(Creole-HT) ======= Mark 15:2 ============ Mar 15:2 And Pilate asked him, Art thou the King of the Jews? And he answering said unto them, Thou sayest it.(KJV-1611) Mar 15:2 Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.(Creole-HT) ======= Mark 15:3 ============ Mar 15:3 And the chief priests accused him of many things: but he answered nothing.(KJV-1611) Mar 15:3 Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li.(Creole-HT) ======= Mark 15:4 ============ Mar 15:4 And Pilate asked him again, saying, Answerest thou nothing? behold how many things they witness against thee.(KJV-1611) Mar 15:4 Pilat mande l' ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou.(Creole-HT) ======= Mark 15:5 ============ Mar 15:5 But Jesus yet answered nothing; so that Pilate marvelled.(KJV-1611) Mar 15:5 Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.(Creole-HT) ======= Mark 15:6 ============ Mar 15:6 Now at that feast he released unto them one prisoner, whomsoever they desired.(KJV-1611) Mar 15:6 Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.(Creole-HT) ======= Mark 15:7 ============ Mar 15:7 And there was one named Barabbas, which lay bound with them that had made insurrection with him, who had committed murder in the insurrection.(KJV-1611) Mar 15:7 Te gen yon nonm yo rele Barabas; li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an.(Creole-HT) ======= Mark 15:8 ============ Mar 15:8 And the multitude crying aloud began to desire him to do as he had ever done unto them.(KJV-1611) Mar 15:8 Foul moun yo moute lakay Pilat; yo pran mande Pilat pou l' lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a.(Creole-HT) ======= Mark 15:9 ============ Mar 15:9 But Pilate answered them, saying, Will ye that I release unto you the King of the Jews?(KJV-1611) Mar 15:9 Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?(Creole-HT) ======= Mark 15:10 ============ Mar 15:10 For he knew that the chief priests had delivered him for envy.(KJV-1611) Mar 15:10 Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.(Creole-HT) ======= Mark 15:11 ============ Mar 15:11 But the chief priests moved the people, that he should rather release Barabbas unto them.(KJV-1611) Mar 15:11 Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas pito.(Creole-HT) ======= Mark 15:12 ============ Mar 15:12 And Pilate answered and said again unto them, What will ye then that I shall do unto him whom ye call the King of the Jews?(KJV-1611) Mar 15:12 Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la?(Creole-HT) ======= Mark 15:13 ============ Mar 15:13 And they cried out again, Crucify him.(KJV-1611) Mar 15:13 Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa!(Creole-HT) ======= Mark 15:14 ============ Mar 15:14 Then Pilate said unto them, Why, what evil hath he done? And they cried out the more exceedingly, Crucify him.(KJV-1611) Mar 15:14 Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa!(Creole-HT) ======= Mark 15:15 ============ Mar 15:15 And so Pilate, willing to content the people, released Barabbas unto them, and delivered Jesus, when he had scourged him, to be crucified.(KJV-1611) Mar 15:15 Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Mark 15:16 ============ Mar 15:16 And the soldiers led him away into the hall, called Praetorium; and they call together the whole band.(KJV-1611) Mar 15:16 Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini.(Creole-HT) ======= Mark 15:17 ============ Mar 15:17 And they clothed him with purple, and platted a crown of thorns, and put it about his head,(KJV-1611) Mar 15:17 Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li.(Creole-HT) ======= Mark 15:18 ============ Mar 15:18 And began to salute him, Hail, King of the Jews!(KJV-1611) Mar 15:18 Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo!(Creole-HT) ======= Mark 15:19 ============ Mar 15:19 And they smote him on the head with a reed, and did spit upon him, and bowing their knees worshipped him.(KJV-1611) Mar 15:19 Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li.(Creole-HT) ======= Mark 15:20 ============ Mar 15:20 And when they had mocked him, they took off the purple from him, and put his own clothes on him, and led him out to crucify him.(KJV-1611) Mar 15:20 Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Mark 15:21 ============ Mar 15:21 And they compel one Simon a Cyrenian, who passed by, coming out of the country, the father of Alexander and Rufus, to bear his cross.(KJV-1611) Mar 15:21 Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.(Creole-HT) ======= Mark 15:22 ============ Mar 15:22 And they bring him unto the place Golgotha, which is, being interpreted, The place of a skull.(KJV-1611) Mar 15:22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).(Creole-HT) ======= Mark 15:23 ============ Mar 15:23 And they gave him to drink wine mingled with myrrh: but he received it not.(KJV-1611) Mar 15:23 Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li.(Creole-HT) ======= Mark 15:24 ============ Mar 15:24 And when they had crucified him, they parted his garments, casting lots upon them, what every man should take.(KJV-1611) Mar 15:24 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak.(Creole-HT) ======= Mark 15:25 ============ Mar 15:25 And it was the third hour, and they crucified him.(KJV-1611) Mar 15:25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.(Creole-HT) ======= Mark 15:26 ============ Mar 15:26 And the superscription of his accusation was written over, THE KING OF THE JEWS.(KJV-1611) Mar 15:26 Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!(Creole-HT) ======= Mark 15:27 ============ Mar 15:27 And with him they crucify two thieves; the one on his right hand, and the other on his left.(KJV-1611) Mar 15:27 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.(Creole-HT) ======= Mark 15:28 ============ Mar 15:28 And the scripture was fulfilled, which saith, And he was numbered with the transgressors.(KJV-1611) Mar 15:28 Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo.(Creole-HT) ======= Mark 15:29 ============ Mar 15:29 And they that passed by railed on him, wagging their heads, and saying, Ah, thou that destroyest the temple, and buildest it in three days,(KJV-1611) Mar 15:29 Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou,(Creole-HT) ======= Mark 15:30 ============ Mar 15:30 Save thyself, and come down from the cross.(KJV-1611) Mar 15:30 sove tèt ou non, desann sou kwa a.(Creole-HT) ======= Mark 15:31 ============ Mar 15:31 Likewise also the chief priests mocking said among themselves with the scribes, He saved others; himself he cannot save.(KJV-1611) Mar 15:31 Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li!(Creole-HT) ======= Mark 15:32 ============ Mar 15:32 Let Christ the King of Israel descend now from the cross, that we may see and believe. And they that were crucified with him reviled him.(KJV-1611) Mar 15:32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.(Creole-HT) ======= Mark 15:33 ============ Mar 15:33 And when the sixth hour was come, there was darkness over the whole land until the ninth hour.(KJV-1611) Mar 15:33 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.(Creole-HT) ======= Mark 15:34 ============ Mar 15:34 And at the ninth hour Jesus cried with a loud voice, saying, Eloi, Eloi, lama sabachthani? which is, being interpreted, My God, my God, why hast thou forsaken me?(KJV-1611) Mar 15:34 Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)(Creole-HT) ======= Mark 15:35 ============ Mar 15:35 And some of them that stood by, when they heard it, said, Behold, he calleth Elias.(KJV-1611) Mar 15:35 Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l' pale. Yo di: -Koute. Men l'ap rele Eli.(Creole-HT) ======= Mark 15:36 ============ Mar 15:36 And one ran and filled a spunge full of vinegar, and put it on a reed, and gave him to drink, saying, Let alone; let us see whether Elias will come to take him down.(KJV-1611) Mar 15:36 Yonn nan yo kouri, li al tranpe yon eponj nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè. Epi li di: -Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a!(Creole-HT) ======= Mark 15:37 ============ Mar 15:37 And Jesus cried with a loud voice, and gave up the ghost.(KJV-1611) Mar 15:37 Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.(Creole-HT) ======= Mark 15:38 ============ Mar 15:38 And the veil of the temple was rent in twain from the top to the bottom.(KJV-1611) Mar 15:38 Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.(Creole-HT) ======= Mark 15:39 ============ Mar 15:39 And when the centurion, which stood over against him, saw that he so cried out, and gave up the ghost, he said, Truly this man was the Son of God.(KJV-1611) Mar 15:39 Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l' wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.(Creole-HT) ======= Mark 15:40 ============ Mar 15:40 There were also women looking on afar off: among whom was Mary Magdalene, and Mary the mother of James the less and of Joses, and Salome;(KJV-1611) Mar 15:40 Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.(Creole-HT) ======= Mark 15:41 ============ Mar 15:41 (Who also, when he was in Galilee, followed him, and ministered unto him;) and many other women which came up with him unto Jerusalem.(KJV-1611) Mar 15:41 Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.(Creole-HT) ======= Mark 15:42 ============ Mar 15:42 And now when the even was come, because it was the preparation, that is, the day before the sabbath,(KJV-1611) Mar 15:42 Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).(Creole-HT) ======= Mark 15:43 ============ Mar 15:43 Joseph of Arimathaea, an honourable counsellor, which also waited for the kingdom of God, came, and went in boldly unto Pilate, and craved the body of Jesus.(KJV-1611) Mar 15:43 Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 15:44 ============ Mar 15:44 And Pilate marvelled if he were already dead: and calling unto him the centurion, he asked him whether he had been any while dead.(KJV-1611) Mar 15:44 Men, Pilat te sezi lè l' vin konnen Jezi te gen tan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l' si Jezi te mouri depi lontan.(Creole-HT) ======= Mark 15:45 ============ Mar 15:45 And when he knew it of the centurion, he gave the body to Joseph.(KJV-1611) Mar 15:45 Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a.(Creole-HT) ======= Mark 15:46 ============ Mar 15:46 And he bought fine linen, and took him down, and wrapped him in the linen, and laid him in a sepulchre which was hewn out of a rock, and rolled a stone unto the door of the sepulchre.(KJV-1611) Mar 15:46 Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l' nan dra a, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.(Creole-HT) ======= Mark 15:47 ============ Mar 15:47 And Mary Magdalene and Mary the mother of Joses beheld where he was laid.(KJV-1611) Mar 15:47 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.(Creole-HT) ======= Mark 16:1 ============ Mar 16:1 And when the sabbath was past, Mary Magdalene, and Mary the mother of James, and Salome, had bought sweet spices, that they might come and anoint him.(KJV-1611) Mar 16:1 Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi.(Creole-HT) ======= Mark 16:2 ============ Mar 16:2 And very early in the morning the first day of the week, they came unto the sepulchre at the rising of the sun.(KJV-1611) Mar 16:2 Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a.(Creole-HT) ======= Mark 16:3 ============ Mar 16:3 And they said among themselves, Who shall roll us away the stone from the door of the sepulchre?(KJV-1611) Mar 16:3 Yonn t'ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?(Creole-HT) ======= Mark 16:4 ============ Mar 16:4 And when they looked, they saw that the stone was rolled away: for it was very great.(KJV-1611) Mar 16:4 Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch.(Creole-HT) ======= Mark 16:5 ============ Mar 16:5 And entering into the sepulchre, they saw a young man sitting on the right side, clothed in a long white garment; and they were affrighted.(KJV-1611) Mar 16:5 Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè.(Creole-HT) ======= Mark 16:6 ============ Mar 16:6 And he saith unto them, Be not affrighted: Ye seek Jesus of Nazareth, which was crucified: he is risen; he is not here: behold the place where they laid him.(KJV-1611) Mar 16:6 Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.(Creole-HT) ======= Mark 16:7 ============ Mar 16:7 But go your way, tell his disciples and Peter that he goeth before you into Galilee: there shall ye see him, as he said unto you.(KJV-1611) Mar 16:7 Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a.(Creole-HT) ======= Mark 16:8 ============ Mar 16:8 And they went out quickly, and fled from the sepulchre; for they trembled and were amazed: neither said they any thing to any man; for they were afraid.(KJV-1611) Mar 16:8 Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè.(Creole-HT) ======= Mark 16:9 ============ Mar 16:9 Now when Jesus was risen early the first day of the week, he appeared first to Mary Magdalene, out of whom he had cast seven devils.(KJV-1611) Mar 16:9 Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.)(Creole-HT) ======= Mark 16:10 ============ Mar 16:10 And she went and told them that had been with him, as they mourned and wept.(KJV-1611) Mar 16:10 Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye.(Creole-HT) ======= Mark 16:11 ============ Mar 16:11 And they, when they had heard that he was alive, and had been seen of her, believed not.(KJV-1611) Mar 16:11 Men, yo pa t' vle kwè Mari, lè l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l' ak de je mwen.(Creole-HT) ======= Mark 16:12 ============ Mar 16:12 After that he appeared in another form unto two of them, as they walked, and went into the country.(KJV-1611) Mar 16:12 Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò.(Creole-HT) ======= Mark 16:13 ============ Mar 16:13 And they went and told it unto the residue: neither believed they them.(KJV-1611) Mar 16:13 Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t' ankò vle kwè toujou.(Creole-HT) ======= Mark 16:14 ============ Mar 16:14 Afterward he appeared unto the eleven as they sat at meat, and upbraided them with their unbelief and hardness of heart, because they believed not them which had seen him after he was risen.(KJV-1611) Mar 16:14 Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.(Creole-HT) ======= Mark 16:15 ============ Mar 16:15 And he said unto them, Go ye into all the world, and preach the gospel to every creature.(KJV-1611) Mar 16:15 Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.(Creole-HT) ======= Mark 16:16 ============ Mar 16:16 He that believeth and is baptized shall be saved; but he that believeth not shall be damned.(KJV-1611) Mar 16:16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.(Creole-HT) ======= Mark 16:17 ============ Mar 16:17 And these signs shall follow them that believe; In my name shall they cast out devils; they shall speak with new tongues;(KJV-1611) Mar 16:17 Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.(Creole-HT) ======= Mark 16:18 ============ Mar 16:18 They shall take up serpents; and if they drink any deadly thing, it shall not hurt them; they shall lay hands on the sick, and they shall recover.(KJV-1611) Mar 16:18 Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.(Creole-HT) ======= Mark 16:19 ============ Mar 16:19 So then after the Lord had spoken unto them, he was received up into heaven, and sat on the right hand of God.(KJV-1611) Mar 16:19 Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye.(Creole-HT) ======= Mark 16:20 ============ Mar 16:20 And they went forth, and preached every where, the Lord working with them, and confirming the word with signs following. Amen.(KJV-1611) Mar 16:20 Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.(Creole-HT) ======= Luke 1:1 ============ Luk 1:1 Forasmuch as many have taken in hand to set forth in order a declaration of those things which are most surely believed among us,(KJV-1611) Luk 1:1 Teofil chèf mwen, anpil moun te seye ekri istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:2 ============ Luk 1:2 Even as they delivered them unto us, which from the beginning were eyewitnesses, and ministers of the word;(KJV-1611) Luk 1:2 Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.(Creole-HT) ======= Luke 1:3 ============ Luk 1:3 It seemed good to me also, having had perfect understanding of all things from the very first, to write unto thee in order, most excellent Theophilus,(KJV-1611) Luk 1:3 Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Koulye a, mwen kwè se yon bon bagay pou m' ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen.(Creole-HT) ======= Luke 1:4 ============ Luk 1:4 That thou mightest know the certainty of those things, wherein thou hast been instructed.(KJV-1611) Luk 1:4 Konsa wa kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye.(Creole-HT) ======= Luke 1:5 ============ Luk 1:5 THERE was in the days of Herod, the king of Judaea, a certain priest named Zacharias, of the course of Abia: and his wife was of the daughters of Aaron, and her name was Elisabeth.(KJV-1611) Luk 1:5 Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la.(Creole-HT) ======= Luke 1:6 ============ Luk 1:6 And they were both righteous before God, walking in all the commandments and ordinances of the Lord blameless.(KJV-1611) Luk 1:6 Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.(Creole-HT) ======= Luke 1:7 ============ Luk 1:7 And they had no child, because that Elisabeth was barren, and they both were now well stricken in years.(KJV-1611) Luk 1:7 Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.(Creole-HT) ======= Luke 1:8 ============ Luk 1:8 And it came to pass, that while he executed the priest's office before God in the order of his course,(KJV-1611) Luk 1:8 Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.(Creole-HT) ======= Luke 1:9 ============ Luk 1:9 According to the custom of the priest's office, his lot was to burn incense when he went into the temple of the Lord.(KJV-1611) Luk 1:9 Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti.(Creole-HT) ======= Luke 1:10 ============ Luk 1:10 And the whole multitude of the people were praying without at the time of incense.(KJV-1611) Luk 1:10 Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an.(Creole-HT) ======= Luke 1:11 ============ Luk 1:11 And there appeared unto him an angel of the Lord standing on the right side of the altar of incense.(KJV-1611) Luk 1:11 Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an.(Creole-HT) ======= Luke 1:12 ============ Luk 1:12 And when Zacharias saw him, he was troubled, and fear fell upon him.(KJV-1611) Luk 1:12 Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil.(Creole-HT) ======= Luke 1:13 ============ Luk 1:13 But the angel said unto him, Fear not, Zacharias: for thy prayer is heard; and thy wife Elisabeth shall bear thee a son, and thou shalt call his name John.(KJV-1611) Luk 1:13 Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.(Creole-HT) ======= Luke 1:14 ============ Luk 1:14 And thou shalt have joy and gladness; and many shall rejoice at his birth.(KJV-1611) Luk 1:14 Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a.(Creole-HT) ======= Luke 1:15 ============ Luk 1:15 For he shall be great in the sight of the Lord, and shall drink neither wine nor strong drink; and he shall be filled with the Holy Ghost, even from his mother's womb.(KJV-1611) Luk 1:15 L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a.(Creole-HT) ======= Luke 1:16 ============ Luk 1:16 And many of the children of Israel shall he turn to the Lord their God.(KJV-1611) Luk 1:16 L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a.(Creole-HT) ======= Luke 1:17 ============ Luk 1:17 And he shall go before him in the spirit and power of Elias, to turn the hearts of the fathers to the children, and the disobedient to the wisdom of the just; to make ready a people prepared for the Lord.(KJV-1611) Luk 1:17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.(Creole-HT) ======= Luke 1:18 ============ Luk 1:18 And Zacharias said unto the angel, Whereby shall I know this? for I am an old man, and my wife well stricken in years.(KJV-1611) Luk 1:18 Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou.(Creole-HT) ======= Luke 1:19 ============ Luk 1:19 And the angel answering said unto him, I am Gabriel, that stand in the presence of God; and am sent to speak unto thee, and to shew thee these glad tidings.(KJV-1611) Luk 1:19 Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou.(Creole-HT) ======= Luke 1:20 ============ Luk 1:20 And, behold, thou shalt be dumb, and not able to speak, until the day that these things shall be performed, because thou believest not my words, which shall be fulfilled in their season.(KJV-1611) Luk 1:20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.(Creole-HT) ======= Luke 1:21 ============ Luk 1:21 And the people waited for Zacharias, and marvelled that he tarried so long in the temple.(KJV-1611) Luk 1:21 Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Luke 1:22 ============ Luk 1:22 And when he came out, he could not speak unto them: and they perceived that he had seen a vision in the temple: for he beckoned unto them, and remained speechless.(KJV-1611) Luk 1:22 Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale.(Creole-HT) ======= Luke 1:23 ============ Luk 1:23 And it came to pass, that, as soon as the days of his ministration were accomplished, he departed to his own house.(KJV-1611) Luk 1:23 Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Luke 1:24 ============ Luk 1:24 And after those days his wife Elisabeth conceived, and hid herself five months, saying,(KJV-1611) Luk 1:24 Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di:(Creole-HT) ======= Luke 1:25 ============ Luk 1:25 Thus hath the Lord dealt with me in the days wherein he looked on me, to take away my reproach among men.(KJV-1611) Luk 1:25 Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm.(Creole-HT) ======= Luke 1:26 ============ Luk 1:26 And in the sixth month the angel Gabriel was sent from God unto a city of Galilee, named Nazareth,(KJV-1611) Luk 1:26 Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt.(Creole-HT) ======= Luke 1:27 ============ Luk 1:27 To a virgin espoused to a man whose name was Joseph, of the house of David; and the virgin's name was Mary.(KJV-1611) Luk 1:27 Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.(Creole-HT) ======= Luke 1:28 ============ Luk 1:28 And the angel came in unto her, and said, Hail, thou that art highly favoured, the Lord is with thee: blessed art thou among women.(KJV-1611) Luk 1:28 Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou.(Creole-HT) ======= Luke 1:29 ============ Luk 1:29 And when she saw him, she was troubled at his saying, and cast in her mind what manner of salutation this should be.(KJV-1611) Luk 1:29 Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di.(Creole-HT) ======= Luke 1:30 ============ Luk 1:30 And the angel said unto her, Fear not, Mary: for thou hast found favour with God.(KJV-1611) Luk 1:30 Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 1:31 ============ Luk 1:31 And, behold, thou shalt conceive in thy womb, and bring forth a son, and shalt call his name JESUS.(KJV-1611) Luk 1:31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 1:32 ============ Luk 1:32 He shall be great, and shall be called the Son of the Highest: and the Lord God shall give unto him the throne of his father David:(KJV-1611) Luk 1:32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li.(Creole-HT) ======= Luke 1:33 ============ Luk 1:33 And he shall reign over the house of Jacob for ever; and of his kingdom there shall be no end.(KJV-1611) Luk 1:33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Luke 1:34 ============ Luk 1:34 Then said Mary unto the angel, How shall this be, seeing I know not a man?(KJV-1611) Luk 1:34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason!(Creole-HT) ======= Luke 1:35 ============ Luk 1:35 And the angel answered and said unto her, The Holy Ghost shall come upon thee, and the power of the Highest shall overshadow thee: therefore also that holy thing which shall be born of thee shall be called the Son of God.(KJV-1611) Luk 1:35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 1:36 ============ Luk 1:36 And, behold, thy cousin Elisabeth, she hath also conceived a son in her old age: and this is the sixth month with her, who was called barren.(KJV-1611) Luk 1:36 Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès.(Creole-HT) ======= Luke 1:37 ============ Luk 1:37 For with God nothing shall be impossible.(KJV-1611) Luk 1:37 Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.(Creole-HT) ======= Luke 1:38 ============ Luk 1:38 And Mary said, Behold the handmaid of the Lord; be it unto me according to thy word. And the angel departed from her.(KJV-1611) Luk 1:38 Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.(Creole-HT) ======= Luke 1:39 ============ Luk 1:39 And Mary arose in those days, and went into the hill country with haste, into a city of Juda;(KJV-1611) Luk 1:39 Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a.(Creole-HT) ======= Luke 1:40 ============ Luk 1:40 And entered into the house of Zacharias, and saluted Elisabeth.(KJV-1611) Luk 1:40 Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou.(Creole-HT) ======= Luke 1:41 ============ Luk 1:41 And it came to pass, that, when Elisabeth heard the salutation of Mary, the babe leaped in her womb; and Elisabeth was filled with the Holy Ghost:(KJV-1611) Luk 1:41 Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, pitit la pran sote nan vant li. Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri.(Creole-HT) ======= Luke 1:42 ============ Luk 1:42 And she spake out with a loud voice, and said, Blessed art thou among women, and blessed is the fruit of thy womb.(KJV-1611) Luk 1:42 Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.(Creole-HT) ======= Luke 1:43 ============ Luk 1:43 And whence is this to me, that the mother of my Lord should come to me?(KJV-1611) Luk 1:43 Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit?(Creole-HT) ======= Luke 1:44 ============ Luk 1:44 For, lo, as soon as the voice of thy salutation sounded in mine ears, the babe leaped in my womb for joy.(KJV-1611) Luk 1:44 Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan.(Creole-HT) ======= Luke 1:45 ============ Luk 1:45 And blessed is she that believed: for there shall be a performance of those things which were told her from the Lord.(KJV-1611) Luk 1:45 Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.(Creole-HT) ======= Luke 1:46 ============ Luk 1:46 And Mary said, My soul doth magnify the Lord,(KJV-1611) Luk 1:46 Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Luke 1:47 ============ Luk 1:47 And my spirit hath rejoiced in God my Saviour.(KJV-1611) Luk 1:47 Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.(Creole-HT) ======= Luke 1:48 ============ Luk 1:48 For he hath regarded the low estate of his handmaiden: for, behold, from henceforth all generations shall call me blessed.(KJV-1611) Luk 1:48 Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!(Creole-HT) ======= Luke 1:49 ============ Luk 1:49 For he that is mighty hath done to me great things; and holy is his name.(KJV-1611) Luk 1:49 Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.(Creole-HT) ======= Luke 1:50 ============ Luk 1:50 And his mercy is on them that fear him from generation to generation.(KJV-1611) Luk 1:50 L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.(Creole-HT) ======= Luke 1:51 ============ Luk 1:51 He hath shewed strength with his arm; he hath scattered the proud in the imagination of their hearts.(KJV-1611) Luk 1:51 Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:52 ============ Luk 1:52 He hath put down the mighty from their seats, and exalted them of low degree.(KJV-1611) Luk 1:52 Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:53 ============ Luk 1:53 He hath filled the hungry with good things; and the rich he hath sent empty away.(KJV-1611) Luk 1:53 Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.(Creole-HT) ======= Luke 1:54 ============ Luk 1:54 He hath holpen his servant Israel, in remembrance of his mercy;(KJV-1611) Luk 1:54 Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,(Creole-HT) ======= Luke 1:55 ============ Luk 1:55 As he spake to our fathers, to Abraham, and to his seed for ever.(KJV-1611) Luk 1:55 pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:56 ============ Luk 1:56 And Mary abode with her about three months, and returned to her own house.(KJV-1611) Luk 1:56 Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li.(Creole-HT) ======= Luke 1:57 ============ Luk 1:57 Now Elisabeth's full time came that she should be delivered; and she brought forth a son.(KJV-1611) Luk 1:57 Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Luke 1:58 ============ Luk 1:58 And her neighbours and her cousins heard how the Lord had shewed great mercy upon her; and they rejoiced with her.(KJV-1611) Luk 1:58 Vwazinaj ak fanmi l' yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li.(Creole-HT) ======= Luke 1:59 ============ Luk 1:59 And it came to pass, that on the eighth day they came to circumcise the child; and they called him Zacharias, after the name of his father.(KJV-1611) Luk 1:59 Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.(Creole-HT) ======= Luke 1:60 ============ Luk 1:60 And his mother answered and said, Not so; but he shall be called John.(KJV-1611) Luk 1:60 Men, manman l' di yo: Non, se Jan pou l' rele.(Creole-HT) ======= Luke 1:61 ============ Luk 1:61 And they said unto her, There is none of thy kindred that is called by this name.(KJV-1611) Luk 1:61 Yo di l' konsa: Men, pa gen pesonn nan fanmi ou ki rele Jan.(Creole-HT) ======= Luke 1:62 ============ Luk 1:62 And they made signs to his father, how he would have him called.(KJV-1611) Luk 1:62 Yo fè papa a siy pou mande l' ki non li ta vle bay pitit la.(Creole-HT) ======= Luke 1:63 ============ Luk 1:63 And he asked for a writing table, and wrote, saying, His name is John. And they marvelled all.(KJV-1611) Luk 1:63 Zakari mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li. Yo tout te sezi.(Creole-HT) ======= Luke 1:64 ============ Luk 1:64 And his mouth was opened immediately, and his tongue loosed, and he spake, and praised God.(KJV-1611) Luk 1:64 Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.(Creole-HT) ======= Luke 1:65 ============ Luk 1:65 And fear came on all that dwelt round about them: and all these sayings were noised abroad throughout all the hill country of Judaea.(KJV-1611) Luk 1:65 Tout moun ki te nan vwazinaj la te pè; nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jidè a.(Creole-HT) ======= Luke 1:66 ============ Luk 1:66 And all they that heard them laid them up in their hearts, saying, What manner of child shall this be! And the hand of the Lord was with him.(KJV-1611) Luk 1:66 Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo; yonn t'ap di lòt: Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.(Creole-HT) ======= Luke 1:67 ============ Luk 1:67 And his father Zacharias was filled with the Holy Ghost, and prophesied, saying,(KJV-1611) Luk 1:67 Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li:(Creole-HT) ======= Luke 1:68 ============ Luk 1:68 Blessed be the Lord God of Israel; for he hath visited and redeemed his people,(KJV-1611) Luk 1:68 Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.(Creole-HT) ======= Luke 1:69 ============ Luk 1:69 And hath raised up an horn of salvation for us in the house of his servant David;(KJV-1611) Luk 1:69 Li voye yon moun avek gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li soti.(Creole-HT) ======= Luke 1:70 ============ Luk 1:70 As he spake by the mouth of his holy prophets, which have been since the world began:(KJV-1611) Luk 1:70 Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Luke 1:71 ============ Luk 1:71 That we should be saved from our enemies, and from the hand of all that hate us;(KJV-1611) Luk 1:71 Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:72 ============ Luk 1:72 To perform the mercy promised to our fathers, and to remember his holy covenant;(KJV-1611) Luk 1:72 Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.(Creole-HT) ======= Luke 1:73 ============ Luk 1:73 The oath which he sware to our father Abraham,(KJV-1611) Luk 1:73 Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.(Creole-HT) ======= Luke 1:74 ============ Luk 1:74 That he would grant unto us, that we being delivered out of the hand of our enemies might serve him without fear,(KJV-1611) Luk 1:74 Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.(Creole-HT) ======= Luke 1:75 ============ Luk 1:75 In holiness and righteousness before him, all the days of our life.(KJV-1611) Luk 1:75 Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.(Creole-HT) ======= Luke 1:76 ============ Luk 1:76 And thou, child, shalt be called the prophet of the Highest: for thou shalt go before the face of the Lord to prepare his ways;(KJV-1611) Luk 1:76 Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.(Creole-HT) ======= Luke 1:77 ============ Luk 1:77 To give knowledge of salvation unto his people by the remission of their sins,(KJV-1611) Luk 1:77 Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.(Creole-HT) ======= Luke 1:78 ============ Luk 1:78 Through the tender mercy of our God; whereby the dayspring from on high hath visited us,(KJV-1611) Luk 1:78 Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.(Creole-HT) ======= Luke 1:79 ============ Luk 1:79 To give light to them that sit in darkness and in the shadow of death, to guide our feet into the way of peace.(KJV-1611) Luk 1:79 Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.(Creole-HT) ======= Luke 1:80 ============ Luk 1:80 And the child grew, and waxed strong in spirit, and was in the deserts till the day of his shewing unto Israel.(KJV-1611) Luk 1:80 Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l' te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Luke 2:1 ============ Luk 2:1 And it came to pass in those days, that there went out a decree from Caesar Augustus that all the world should be taxed.(KJV-1611) Luk 2:1 Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo te konte dènye moun ki nan peyi l'ap gouvènen yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:2 ============ Luk 2:2 (And this taxing was first made when Cyrenius was governor of Syria.)(KJV-1611) Luk 2:2 Premye travay sa a te fèt nan tan Kireniyis t'ap kòmande nan peyi yo rele Siri a.(Creole-HT) ======= Luke 2:3 ============ Luk 2:3 And all went to be taxed, every one into his own city.(KJV-1611) Luk 2:3 Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti.(Creole-HT) ======= Luke 2:4 ============ Luk 2:4 And Joseph also went up from Galilee, out of the city of Nazareth, into Judaea, unto the city of David, which is called Bethlehem; (because he was of the house and lineage of David:)(KJV-1611) Luk 2:4 Jozèf te rete nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarèt. Men, paske li te moun nan fanmi ak ras David, li moute, li ale nan Jide, nan lavil David yo rele Betleyèm lan.(Creole-HT) ======= Luke 2:5 ============ Luk 2:5 To be taxed with Mary his espoused wife, being great with child.(KJV-1611) Luk 2:5 Jozèf tapral fè yo pran non l' ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent.(Creole-HT) ======= Luke 2:6 ============ Luk 2:6 And so it was, that, while they were there, the days were accomplished that she should be delivered.(KJV-1611) Luk 2:6 Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive.(Creole-HT) ======= Luke 2:7 ============ Luk 2:7 And she brought forth her firstborn son, and wrapped him in swaddling clothes, and laid him in a manger; because there was no room for them in the inn.(KJV-1611) Luk 2:7 Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la.(Creole-HT) ======= Luke 2:8 ============ Luk 2:8 And there were in the same country shepherds abiding in the field, keeping watch over their flock by night.(KJV-1611) Luk 2:8 Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:9 ============ Luk 2:9 And, lo, the angel of the Lord came upon them, and the glory of the Lord shone round about them: and they were sore afraid.(KJV-1611) Luk 2:9 Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil.(Creole-HT) ======= Luke 2:10 ============ Luk 2:10 And the angel said unto them, Fear not: for, behold, I bring you good tidings of great joy, which shall be to all people.(KJV-1611) Luk 2:10 Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.(Creole-HT) ======= Luke 2:11 ============ Luk 2:11 For unto you is born this day in the city of David a Saviour, which is Christ the Lord.(KJV-1611) Luk 2:11 Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a.(Creole-HT) ======= Luke 2:12 ============ Luk 2:12 And this shall be a sign unto you; Ye shall find the babe wrapped in swaddling clothes, lying in a manger.(KJV-1611) Luk 2:12 Men remak ki va fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje.(Creole-HT) ======= Luke 2:13 ============ Luk 2:13 And suddenly there was with the angel a multitude of the heavenly host praising God, and saying,(KJV-1611) Luk 2:13 Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan; yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa:(Creole-HT) ======= Luke 2:14 ============ Luk 2:14 Glory to God in the highest, and on earth peace, good will toward men.(KJV-1611) Luk 2:14 Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.(Creole-HT) ======= Luke 2:15 ============ Luk 2:15 And it came to pass, as the angels were gone away from them into heaven, the shepherds said one to another, Let us now go even unto Bethlehem, and see this thing which is come to pass, which the Lord hath made known unto us.(KJV-1611) Luk 2:15 Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an.(Creole-HT) ======= Luke 2:16 ============ Luk 2:16 And they came with haste, and found Mary, and Joseph, and the babe lying in a manger.(KJV-1611) Luk 2:16 Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak tipitit la kouche kote yo bay bèt yo manje a.(Creole-HT) ======= Luke 2:17 ============ Luk 2:17 And when they had seen it, they made known abroad the saying which was told them concerning this child.(KJV-1611) Luk 2:17 Lè yo wè l', yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la.(Creole-HT) ======= Luke 2:18 ============ Luk 2:18 And all they that heard it wondered at those things which were told them by the shepherds.(KJV-1611) Luk 2:18 Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a.(Creole-HT) ======= Luke 2:19 ============ Luk 2:19 But Mary kept all these things, and pondered them in her heart.(KJV-1611) Luk 2:19 Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l', li t'ap repase yo nan tèt li.(Creole-HT) ======= Luke 2:20 ============ Luk 2:20 And the shepherds returned, glorifying and praising God for all the things that they had heard and seen, as it was told unto them.(KJV-1611) Luk 2:20 Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.(Creole-HT) ======= Luke 2:21 ============ Luk 2:21 And when eight days were accomplished for the circumcising of the child, his name was called JESUS, which was so named of the angel before he was conceived in the womb.(KJV-1611) Luk 2:21 Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l' Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l' te vin ansent li.(Creole-HT) ======= Luke 2:22 ============ Luk 2:22 And when the days of her purification according to the law of Moses were accomplished, they brought him to Jerusalem, to present him to the Lord;(KJV-1611) Luk 2:22 Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye,(Creole-HT) ======= Luke 2:23 ============ Luk 2:23 (As it is written in the law of the LORD, Every male that openeth the womb shall be called holy to the Lord;)(KJV-1611) Luk 2:23 dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la.(Creole-HT) ======= Luke 2:24 ============ Luk 2:24 And to offer a sacrifice according to that which is said in the law of the Lord, A pair of turtledoves, or two young pigeons.(KJV-1611) Luk 2:24 Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Luke 2:25 ============ Luk 2:25 And, behold, there was a man in Jerusalem, whose name was Simeon; and the same man was just and devout, waiting for the consolation of Israel: and the Holy Ghost was upon him.(KJV-1611) Luk 2:25 Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.(Creole-HT) ======= Luke 2:26 ============ Luk 2:26 And it was revealed unto him by the Holy Ghost, that he should not see death, before he had seen the Lord's Christ.(KJV-1611) Luk 2:26 Li te fè l' konnen li pa t'ap mouri san l' pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l' voye a.(Creole-HT) ======= Luke 2:27 ============ Luk 2:27 And he came by the Spirit into the temple: and when the parents brought in the child Jesus, to do for him after the custom of the law,(KJV-1611) Luk 2:27 Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a,(Creole-HT) ======= Luke 2:28 ============ Luk 2:28 Then took he him up in his arms, and blessed God, and said,(KJV-1611) Luk 2:28 Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mèsi. Li di:(Creole-HT) ======= Luke 2:29 ============ Luk 2:29 Lord, now lettest thou thy servant depart in peace, according to thy word:(KJV-1611) Luk 2:29 Koulye a, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze.(Creole-HT) ======= Luke 2:30 ============ Luk 2:30 For mine eyes have seen thy salvation,(KJV-1611) Luk 2:30 Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.(Creole-HT) ======= Luke 2:31 ============ Luk 2:31 Which thou hast prepared before the face of all people;(KJV-1611) Luk 2:31 Ou pare l' mete devan tout pèp yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:32 ============ Luk 2:32 A light to lighten the Gentiles, and the glory of thy people Israel.(KJV-1611) Luk 2:32 Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.(Creole-HT) ======= Luke 2:33 ============ Luk 2:33 And Joseph and his mother marvelled at those things which were spoken of him.(KJV-1611) Luk 2:33 Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa.(Creole-HT) ======= Luke 2:34 ============ Luk 2:34 And Simeon blessed them, and said unto Mary his mother, Behold, this child is set for the fall and rising again of many in Israel; and for a sign which shall be spoken against;(KJV-1611) Luk 2:34 Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.(Creole-HT) ======= Luke 2:35 ============ Luk 2:35 (Yea, a sword shall pierce through thy own soul also,) that the thoughts of many hearts may be revealed.(KJV-1611) Luk 2:35 Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.(Creole-HT) ======= Luke 2:36 ============ Luk 2:36 And there was one Anna, a prophetess, the daughter of Phanuel, of the tribe of Aser: she was of a great age, and had lived with an husband seven years from her virginity;(KJV-1611) Luk 2:36 Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a.(Creole-HT) ======= Luke 2:37 ============ Luk 2:37 And she was a widow of about fourscore and four years, which departed not from the temple, but served God with fastings and prayers night and day.(KJV-1611) Luk 2:37 Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pa t' janm kite tanp lan; li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Luke 2:38 ============ Luk 2:38 And she coming in that instant gave thanks likewise unto the Lord, and spake of him to all them that looked for redemption in Jerusalem.(KJV-1611) Luk 2:38 Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 2:39 ============ Luk 2:39 And when they had performed all things according to the law of the Lord, they returned into Galilee, to their own city Nazareth.(KJV-1611) Luk 2:39 Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile.(Creole-HT) ======= Luke 2:40 ============ Luk 2:40 And the child grew, and waxed strong in spirit, filled with wisdom: and the grace of God was upon him.(KJV-1611) Luk 2:40 Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l', epi favè Bondye te avèk li.(Creole-HT) ======= Luke 2:41 ============ Luk 2:41 Now his parents went to Jerusalem every year at the feast of the passover.(KJV-1611) Luk 2:41 Chak lanne pou fèt Delivrans lan, manman ak papa Jezi te konn ale lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 2:42 ============ Luk 2:42 And when he was twelve years old, they went up to Jerusalem after the custom of the feast.(KJV-1611) Luk 2:42 Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè.(Creole-HT) ======= Luke 2:43 ============ Luk 2:43 And when they had fulfilled the days, as they returned, the child Jesus tarried behind in Jerusalem; and Joseph and his mother knew not of it.(KJV-1611) Luk 2:43 Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap tounen lakay yo. Ti Jezi menm rete lavil Jerizalèm. Men, papa l' ak manman l' pa t' wè sa.(Creole-HT) ======= Luke 2:44 ============ Luk 2:44 But they, supposing him to have been in the company, went a day's journey; and they sought him among their kinsfolk and acquaintance.(KJV-1611) Luk 2:44 Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo mache tout yon jounen. Se lè sa a yo pran chache l' pami fanmi yo ak zanmi yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:45 ============ Luk 2:45 And when they found him not, they turned back again to Jerusalem, seeking him.(KJV-1611) Luk 2:45 Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li.(Creole-HT) ======= Luke 2:46 ============ Luk 2:46 And it came to pass, that after three days they found him in the temple, sitting in the midst of the doctors, both hearing them, and asking them questions.(KJV-1611) Luk 2:46 Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo keksyon tou.(Creole-HT) ======= Luke 2:47 ============ Luk 2:47 And all that heard him were astonished at his understanding and answers.(KJV-1611) Luk 2:47 Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:48 ============ Luk 2:48 And when they saw him, they were amazed: and his mother said unto him, Son, why hast thou thus dealt with us? behold, thy father and I have sought thee sorrowing.(KJV-1611) Luk 2:48 Lè papa l' ak manman l' wè l', yo pa t' manke sezi. Manman li di l' konsa: Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m' nou pa chache ou. Ou fè kè n' kase.(Creole-HT) ======= Luke 2:49 ============ Luk 2:49 And he said unto them, How is it that ye sought me? wist ye not that I must be about my Father's business?(KJV-1611) Luk 2:49 Jezi di yo: Poukisa pou n'ap chache m' konsa? Nou pa t' konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen?(Creole-HT) ======= Luke 2:50 ============ Luk 2:50 And they understood not the saying which he spake unto them.(KJV-1611) Luk 2:50 Men yo pa t' konprann sa l' t'ap di yo.(Creole-HT) ======= Luke 2:51 ============ Luk 2:51 And he went down with them, and came to Nazareth, and was subject unto them: but his mother kept all these sayings in her heart.(KJV-1611) Luk 2:51 Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l' menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.(Creole-HT) ======= Luke 2:52 ============ Luk 2:52 And Jesus increased in wisdom and stature, and in favour with God and man.(KJV-1611) Luk 2:52 Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.(Creole-HT) ======= Luke 3:1 ============ Luk 3:1 Now in the fifteenth year of the reign of Tiberius Caesar, Pontius Pilate being governor of Judaea, and Herod being tetrarch of Galilee, and his brother Philip tetrarch of Ituraea and of the region of Trachonitis, and Lysanias the tetrarch of Abilene,(KJV-1611) Luk 3:1 Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn.(Creole-HT) ======= Luke 3:2 ============ Luk 3:2 Annas and Caiaphas being the high priests, the word of God came unto John the son of Zacharias in the wilderness.(KJV-1611) Luk 3:2 Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a.(Creole-HT) ======= Luke 3:3 ============ Luk 3:3 And he came into all the country about Jordan, preaching the baptism of repentance for the remission of sins;(KJV-1611) Luk 3:3 Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo.(Creole-HT) ======= Luke 3:4 ============ Luk 3:4 As it is written in the book of the words of Esaias the prophet, saying, The voice of one crying in the wilderness, Prepare ye the way of the Lord, make his paths straight.(KJV-1611) Luk 3:4 Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.(Creole-HT) ======= Luke 3:5 ============ Luk 3:5 Every valley shall be filled, and every mountain and hill shall be brought low; and the crooked shall be made straight, and the rough ways shall be made smooth;(KJV-1611) Luk 3:5 Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.(Creole-HT) ======= Luke 3:6 ============ Luk 3:6 And all flesh shall see the salvation of God.(KJV-1611) Luk 3:6 Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.(Creole-HT) ======= Luke 3:7 ============ Luk 3:7 Then said he to the multitude that came forth to be baptized of him, O generation of vipers, who hath warned you to flee from the wrath to come?(KJV-1611) Luk 3:7 Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?(Creole-HT) ======= Luke 3:8 ============ Luk 3:8 Bring forth therefore fruits worthy of repentance, and begin not to say within yourselves, We have Abraham to our father: for I say unto you, That God is able of these stones to raise up children unto Abraham.(KJV-1611) Luk 3:8 Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.(Creole-HT) ======= Luke 3:9 ============ Luk 3:9 And now also the axe is laid unto the root of the trees: every tree therefore which bringeth not forth good fruit is hewn down, and cast into the fire.(KJV-1611) Luk 3:9 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.(Creole-HT) ======= Luke 3:10 ============ Luk 3:10 And the people asked him, saying, What shall we do then?(KJV-1611) Luk 3:10 Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm?(Creole-HT) ======= Luke 3:11 ============ Luk 3:11 He answereth and saith unto them, He that hath two coats, let him impart to him that hath none; and he that hath meat, let him do likewise.(KJV-1611) Luk 3:11 Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt.(Creole-HT) ======= Luke 3:12 ============ Luk 3:12 Then came also publicans to be baptized, and said unto him, Master, what shall we do?(KJV-1611) Luk 3:12 Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè?(Creole-HT) ======= Luke 3:13 ============ Luk 3:13 And he said unto them, Exact no more than that which is appointed you.(KJV-1611) Luk 3:13 Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a.(Creole-HT) ======= Luke 3:14 ============ Luk 3:14 And the soldiers likewise demanded of him, saying, And what shall we do? And he said unto them, Do violence to no man, neither accuse any falsely; and be content with your wages.(KJV-1611) Luk 3:14 Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an.(Creole-HT) ======= Luke 3:15 ============ Luk 3:15 And as the people were in expectation, and all men mused in their hearts of John, whether he were the Christ, or not;(KJV-1611) Luk 3:15 Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.(Creole-HT) ======= Luke 3:16 ============ Luk 3:16 John answered, saying unto them all, I indeed baptize you with water; but one mightier than I cometh, the latchet of whose shoes I am not worthy to unloose: he shall baptize you with the Holy Ghost and with fire:(KJV-1611) Luk 3:16 Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.(Creole-HT) ======= Luke 3:17 ============ Luk 3:17 Whose fan is in his hand, and he will throughly purge his floor, and will gather the wheat into his garner; but the chaff he will burn with fire unquenchable.(KJV-1611) Luk 3:17 Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Luke 3:18 ============ Luk 3:18 And many other things in his exhortation preached he unto the people.(KJV-1611) Luk 3:18 Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la.(Creole-HT) ======= Luke 3:19 ============ Luk 3:19 But Herod the tetrarch, being reproved by him for Herodias his brother Philip's wife, and for all the evils which Herod had done,(KJV-1611) Luk 3:19 Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè.(Creole-HT) ======= Luke 3:20 ============ Luk 3:20 Added yet this above all, that he shut up John in prison.(KJV-1611) Luk 3:20 Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.(Creole-HT) ======= Luke 3:21 ============ Luk 3:21 Now when all the people were baptized, it came to pass, that Jesus also being baptized, and praying, the heaven was opened,(KJV-1611) Luk 3:21 Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.(Creole-HT) ======= Luke 3:22 ============ Luk 3:22 And the Holy Ghost descended in a bodily shape like a dove upon him, and a voice came from heaven, which said, Thou art my beloved Son; in thee I am well pleased.(KJV-1611) Luk 3:22 Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.(Creole-HT) ======= Luke 3:23 ============ Luk 3:23 And Jesus himself began to be about thirty years of age, being (as was supposed) the son of Joseph, which was the son of Heli,(KJV-1611) Luk 3:23 Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli.(Creole-HT) ======= Luke 3:24 ============ Luk 3:24 Which was the son of Matthat, which was the son of Levi, which was the son of Melchi, which was the son of Janna, which was the son of Joseph,(KJV-1611) Luk 3:24 Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf.(Creole-HT) ======= Luke 3:25 ============ Luk 3:25 Which was the son of Mattathias, which was the son of Amos, which was the son of Naum, which was the son of Esli, which was the son of Nagge,(KJV-1611) Luk 3:25 Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi.(Creole-HT) ======= Luke 3:26 ============ Luk 3:26 Which was the son of Maath, which was the son of Mattathias, which was the son of Semei, which was the son of Joseph, which was the son of Juda,(KJV-1611) Luk 3:26 Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda.(Creole-HT) ======= Luke 3:27 ============ Luk 3:27 Which was the son of Joanna, which was the son of Rhesa, which was the son of Zorobabel, which was the son of Salathiel, which was the son of Neri,(KJV-1611) Luk 3:27 Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri.(Creole-HT) ======= Luke 3:28 ============ Luk 3:28 Which was the son of Melchi, which was the son of Addi, which was the son of Cosam, which was the son of Elmodam, which was the son of Er,(KJV-1611) Luk 3:28 Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er.(Creole-HT) ======= Luke 3:29 ============ Luk 3:29 Which was the son of Jose, which was the son of Eliezer, which was the son of Jorim, which was the son of Matthat, which was the son of Levi,(KJV-1611) Luk 3:29 Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi.(Creole-HT) ======= Luke 3:30 ============ Luk 3:30 Which was the son of Simeon, which was the son of Juda, which was the son of Joseph, which was the son of Jonan, which was the son of Eliakim,(KJV-1611) Luk 3:30 Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim.(Creole-HT) ======= Luke 3:31 ============ Luk 3:31 Which was the son of Melea, which was the son of Menan, which was the son of Mattatha, which was the son of Nathan, which was the son of David,(KJV-1611) Luk 3:31 Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David.(Creole-HT) ======= Luke 3:32 ============ Luk 3:32 Which was the son of Jesse, which was the son of Obed, which was the son of Booz, which was the son of Salmon, which was the son of Naasson,(KJV-1611) Luk 3:32 David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason.(Creole-HT) ======= Luke 3:33 ============ Luk 3:33 Which was the son of Aminadab, which was the son of Aram, which was the son of Esrom, which was the son of Phares, which was the son of Juda,(KJV-1611) Luk 3:33 Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida.(Creole-HT) ======= Luke 3:34 ============ Luk 3:34 Which was the son of Jacob, which was the son of Isaac, which was the son of Abraham, which was the son of Thara, which was the son of Nachor,(KJV-1611) Luk 3:34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò.(Creole-HT) ======= Luke 3:35 ============ Luk 3:35 Which was the son of Saruch, which was the son of Ragau, which was the son of Phalec, which was the son of Heber, which was the son of Sala,(KJV-1611) Luk 3:35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala.(Creole-HT) ======= Luke 3:36 ============ Luk 3:36 Which was the son of Cainan, which was the son of Arphaxad, which was the son of Sem, which was the son of Noe, which was the son of Lamech,(KJV-1611) Luk 3:36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk.(Creole-HT) ======= Luke 3:37 ============ Luk 3:37 Which was the son of Mathusala, which was the son of Enoch, which was the son of Jared, which was the son of Maleleel, which was the son of Cainan,(KJV-1611) Luk 3:37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan.(Creole-HT) ======= Luke 3:38 ============ Luk 3:38 Which was the son of Enos, which was the son of Seth, which was the son of Adam, which was the son of God.(KJV-1611) Luk 3:38 Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 4:1 ============ Luk 4:1 And Jesus being full of the Holy Ghost returned from Jordan, and was led by the Spirit into the wilderness,(KJV-1611) Luk 4:1 Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a.(Creole-HT) ======= Luke 4:2 ============ Luk 4:2 Being forty days tempted of the devil. And in those days he did eat nothing: and when they were ended, he afterward hungered.(KJV-1611) Luk 4:2 Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.(Creole-HT) ======= Luke 4:3 ============ Luk 4:3 And the devil said unto him, If thou be the Son of God, command this stone that it be made bread.(KJV-1611) Luk 4:3 Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen.(Creole-HT) ======= Luke 4:4 ============ Luk 4:4 And Jesus answered him, saying, It is written, That man shall not live by bread alone, but by every word of God.(KJV-1611) Luk 4:4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman.(Creole-HT) ======= Luke 4:5 ============ Luk 4:5 And the devil, taking him up into an high mountain, shewed unto him all the kingdoms of the world in a moment of time.(KJV-1611) Luk 4:5 Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè.(Creole-HT) ======= Luke 4:6 ============ Luk 4:6 And the devil said unto him, All this power will I give thee, and the glory of them: for that is delivered unto me; and to whomsoever I will I give it.(KJV-1611) Luk 4:6 Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:7 ============ Luk 4:7 If thou therefore wilt worship me, all shall be thine.(KJV-1611) Luk 4:7 Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou.(Creole-HT) ======= Luke 4:8 ============ Luk 4:8 And Jesus answered and said unto him, Get thee behind me, Satan: for it is written, Thou shalt worship the Lord thy God, and him only shalt thou serve.(KJV-1611) Luk 4:8 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.(Creole-HT) ======= Luke 4:9 ============ Luk 4:9 And he brought him to Jerusalem, and set him on a pinnacle of the temple, and said unto him, If thou be the Son of God, cast thyself down from hence:(KJV-1611) Luk 4:9 Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba.(Creole-HT) ======= Luke 4:10 ============ Luk 4:10 For it is written, He shall give his angels charge over thee, to keep thee:(KJV-1611) Luk 4:10 Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou.(Creole-HT) ======= Luke 4:11 ============ Luk 4:11 And in their hands they shall bear thee up, lest at any time thou dash thy foot against a stone.(KJV-1611) Luk 4:11 Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch.(Creole-HT) ======= Luke 4:12 ============ Luk 4:12 And Jesus answering said unto him, It is said, Thou shalt not tempt the Lord thy God.(KJV-1611) Luk 4:12 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.(Creole-HT) ======= Luke 4:13 ============ Luk 4:13 And when the devil had ended all the temptation, he departed from him for a season.(KJV-1611) Luk 4:13 Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon.(Creole-HT) ======= Luke 4:14 ============ Luk 4:14 And Jesus returned in the power of the Spirit into Galilee: and there went out a fame of him through all the region round about.(KJV-1611) Luk 4:14 Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li.(Creole-HT) ======= Luke 4:15 ============ Luk 4:15 And he taught in their synagogues, being glorified of all.(KJV-1611) Luk 4:15 Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li.(Creole-HT) ======= Luke 4:16 ============ Luk 4:16 And he came to Nazareth, where he had been brought up: and, as his custom was, he went into the synagogue on the sabbath day, and stood up for to read.(KJV-1611) Luk 4:16 Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:17 ============ Luk 4:17 And there was delivered unto him the book of the prophet Esaias. And when he had opened the book, he found the place where it was written,(KJV-1611) Luk 4:17 Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri:(Creole-HT) ======= Luke 4:18 ============ Luk 4:18 The Spirit of the Lord is upon me, because he hath anointed me to preach the gospel to the poor; he hath sent me to heal the brokenhearted, to preach deliverance to the captives, and recovering of sight to the blind, to set at liberty them that are bruised,(KJV-1611) Luk 4:18 Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,(Creole-HT) ======= Luke 4:19 ============ Luk 4:19 To preach the acceptable year of the Lord.(KJV-1611) Luk 4:19 pou m' fè yo konenn lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a.(Creole-HT) ======= Luke 4:20 ============ Luk 4:20 And he closed the book, and he gave it again to the minister, and sat down. And the eyes of all them that were in the synagogue were fastened on him.(KJV-1611) Luk 4:20 Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li.(Creole-HT) ======= Luke 4:21 ============ Luk 4:21 And he began to say unto them, This day is this scripture fulfilled in your ears.(KJV-1611) Luk 4:21 Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.(Creole-HT) ======= Luke 4:22 ============ Luk 4:22 And all bare him witness, and wondered at the gracious words which proceeded out of his mouth. And they said, Is not this Joseph's son?(KJV-1611) Luk 4:22 Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa?(Creole-HT) ======= Luke 4:23 ============ Luk 4:23 And he said unto them, Ye will surely say unto me this proverb, Physician, heal thyself: whatsoever we have heard done in Capernaum, do also here in thy country.(KJV-1611) Luk 4:23 Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la.(Creole-HT) ======= Luke 4:24 ============ Luk 4:24 And he said, Verily I say unto you, No prophet is accepted in his own country.(KJV-1611) Luk 4:24 Epi li di yo ankò: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li.(Creole-HT) ======= Luke 4:25 ============ Luk 4:25 But I tell you of a truth, many widows were in Israel in the days of Elias, when the heaven was shut up three years and six months, when great famine was throughout all the land;(KJV-1611) Luk 4:25 Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Luke 4:26 ============ Luk 4:26 But unto none of them was Elias sent, save unto Sarepta, a city of Sidon, unto a woman that was a widow.(KJV-1611) Luk 4:26 Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li.(Creole-HT) ======= Luke 4:27 ============ Luk 4:27 And many lepers were in Israel in the time of Eliseus the prophet; and none of them was cleansed, saving Naaman the Syrian.(KJV-1611) Luk 4:27 Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.(Creole-HT) ======= Luke 4:28 ============ Luk 4:28 And all they in the synagogue, when they heard these things, were filled with wrath,(KJV-1611) Luk 4:28 Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:29 ============ Luk 4:29 And rose up, and thrust him out of the city, and led him unto the brow of the hill whereon their city was built, that they might cast him down headlong.(KJV-1611) Luk 4:29 Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la.(Creole-HT) ======= Luke 4:30 ============ Luk 4:30 But he passing through the midst of them went his way,(KJV-1611) Luk 4:30 Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li.(Creole-HT) ======= Luke 4:31 ============ Luk 4:31 And came down to Capernaum, a city of Galilee, and taught them on the sabbath days.(KJV-1611) Luk 4:31 Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Luke 4:32 ============ Luk 4:32 And they were astonished at his doctrine: for his word was with power.(KJV-1611) Luk 4:32 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a.(Creole-HT) ======= Luke 4:33 ============ Luk 4:33 And in the synagogue there was a man, which had a spirit of an unclean devil, and cried out with a loud voice,(KJV-1611) Luk 4:33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:(Creole-HT) ======= Luke 4:34 ============ Luk 4:34 Saying, Let us alone; what have we to do with thee, thou Jesus of Nazareth? art thou come to destroy us? I know thee who thou art; the Holy One of God.(KJV-1611) Luk 4:34 Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a.(Creole-HT) ======= Luke 4:35 ============ Luk 4:35 And Jesus rebuked him, saying, Hold thy peace, and come out of him. And when the devil had thrown him in the midst, he came out of him, and hurt him not.(KJV-1611) Luk 4:35 Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal.(Creole-HT) ======= Luke 4:36 ============ Luk 4:36 And they were all amazed, and spake among themselves, saying, What a word is this! for with authority and power he commandeth the unclean spirits, and they come out.(KJV-1611) Luk 4:36 Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale.(Creole-HT) ======= Luke 4:37 ============ Luk 4:37 And the fame of him went out into every place of the country round about.(KJV-1611) Luk 4:37 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a.(Creole-HT) ======= Luke 4:38 ============ Luk 4:38 And he arose out of the synagogue, and entered into Simon's house. And Simon's wife's mother was taken with a great fever; and they besought him for her.(KJV-1611) Luk 4:38 Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li.(Creole-HT) ======= Luke 4:39 ============ Luk 4:39 And he stood over her, and rebuked the fever; and it left her: and immediately she arose and ministered unto them.(KJV-1611) Luk 4:39 Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:40 ============ Luk 4:40 Now when the sun was setting, all they that had any sick with divers diseases brought them unto him; and he laid his hands on every one of them, and healed them.(KJV-1611) Luk 4:40 Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:41 ============ Luk 4:41 And devils also came out of many, crying out, and saying, Thou art Christ the Son of God. And he rebuking them suffered them not to speak: for they knew that he was Christ.(KJV-1611) Luk 4:41 Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.(Creole-HT) ======= Luke 4:42 ============ Luk 4:42 And when it was day, he departed and went into a desert place: and the people sought him, and came unto him, and stayed him, that he should not depart from them.(KJV-1611) Luk 4:42 Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo.(Creole-HT) ======= Luke 4:43 ============ Luk 4:43 And he said unto them, I must preach the kingdom of God to other cities also: for therefore am I sent.(KJV-1611) Luk 4:43 Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.(Creole-HT) ======= Luke 4:44 ============ Luk 4:44 And he preached in the synagogues of Galilee.(KJV-1611) Luk 4:44 Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.(Creole-HT) ======= Luke 5:1 ============ Luk 5:1 And it came to pass, that, as the people pressed upon him to hear the word of God, he stood by the lake of Gennesaret,(KJV-1611) Luk 5:1 Yon jou, Jezi te bò kote letan Jenezarèt la; yon foul moun t'ap kwense l' toupatou pou tande pawòl Bondye a.(Creole-HT) ======= Luke 5:2 ============ Luk 5:2 And saw two ships standing by the lake: but the fishermen were gone out of them, and were washing their nets.(KJV-1611) Luk 5:2 Li wè de kannòt bò rivaj la; pechè yo te desann atè, yo t'ap lave senn yo.(Creole-HT) ======= Luke 5:3 ============ Luk 5:3 And he entered into one of the ships, which was Simon's, and prayed him that he would thrust out a little from the land. And he sat down, and taught the people out of the ship.(KJV-1611) Luk 5:3 Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l' pou l' vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Luke 5:4 ============ Luk 5:4 Now when he had left speaking, he said unto Simon, Launch out into the deep, and let down your nets for a draught.(KJV-1611) Luk 5:4 Lè li fin pale, li di Simon konsa: Vanse kannòt la plis nan fon; jete senn ou pou peche.(Creole-HT) ======= Luke 5:5 ============ Luk 5:5 And Simon answering said unto him, Master, we have toiled all the night, and have taken nothing: nevertheless at thy word I will let down the net.(KJV-1611) Luk 5:5 Simon reponn li: Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.(Creole-HT) ======= Luke 5:6 ============ Luk 5:6 And when they had this done, they inclosed a great multitude of fishes: and their net brake.(KJV-1611) Luk 5:6 Yo lage senn lan; yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire.(Creole-HT) ======= Luke 5:7 ============ Luk 5:7 And they beckoned unto their partners, which were in the other ship, that they should come and help them. And they came, and filled both the ships, so that they began to sink.(KJV-1611) Luk 5:7 Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini; de kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule.(Creole-HT) ======= Luke 5:8 ============ Luk 5:8 When Simon Peter saw it, he fell down at Jesus' knees, saying, Depart from me; for I am a sinful man, O Lord.(KJV-1611) Luk 5:8 Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.(Creole-HT) ======= Luke 5:9 ============ Luk 5:9 For he was astonished, and all that were with him, at the draught of the fishes which they had taken:(KJV-1611) Luk 5:9 Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran.(Creole-HT) ======= Luke 5:10 ============ Luk 5:10 And so was also James, and John, the sons of Zebedee, which were partners with Simon. And Jesus said unto Simon, Fear not; from henceforth thou shalt catch men.(KJV-1611) Luk 5:10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche.(Creole-HT) ======= Luke 5:11 ============ Luk 5:11 And when they had brought their ships to land, they forsook all, and followed him.(KJV-1611) Luk 5:11 Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 5:12 ============ Luk 5:12 And it came to pass, when he was in a certain city, behold a man full of leprosy: who seeing Jesus fell on his face, and besought him, saying, Lord, if thou wilt, thou canst make me clean.(KJV-1611) Luk 5:12 Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l' wè Jezi, li lage kò l' fas atè, li di l' konsa: Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen.(Creole-HT) ======= Luke 5:13 ============ Luk 5:13 And he put forth his hand, and touched him, saying, I will: be thou clean. And immediately the leprosy departed from him.(KJV-1611) Luk 5:13 Jezi lonje men l', li manyen nonm lan, li di l': Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.(Creole-HT) ======= Luke 5:14 ============ Luk 5:14 And he charged him to tell no man: but go, and shew thyself to the priest, and offer for thy cleansing, according as Moses commanded, for a testimony unto them.(KJV-1611) Luk 5:14 Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri.(Creole-HT) ======= Luke 5:15 ============ Luk 5:15 But so much the more went there a fame abroad of him: and great multitudes came together to hear, and to be healed by him of their infirmities.(KJV-1611) Luk 5:15 Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis; moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li.(Creole-HT) ======= Luke 5:16 ============ Luk 5:16 And he withdrew himself into the wilderness, and prayed.(KJV-1611) Luk 5:16 Men, Jezi wete kò l', li al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Luke 5:17 ============ Luk 5:17 And it came to pass on a certain day, as he was teaching, that there were Pharisees and doctors of the law sitting by, which were come out of every town of Galilee, and Judaea, and Jerusalem: and the power of the Lord was present to heal them.(KJV-1611) Luk 5:17 Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la; yo te soti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.(Creole-HT) ======= Luke 5:18 ============ Luk 5:18 And, behold, men brought in a bed a man which was taken with a palsy: and they sought means to bring him in, and to lay him before him.(KJV-1611) Luk 5:18 Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l' antre nan kay la pou mete l' devan Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 5:19 ============ Luk 5:19 And when they could not find by what way they might bring him in because of the multitude, they went upon the housetop, and let him down through the tiling with his couch into the midst before Jesus.(KJV-1611) Luk 5:19 Men, akòz foul moun yo, yo pa t' jwenn plas pou fè l' antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon twou nan kouvèti kay la ki te fèt an brik, yo file malad la desann ak tout kabann li, nan mitan moun yo, dwat devan Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 5:20 ============ Luk 5:20 And when he saw their faith, he said unto him, Man, thy sins are forgiven thee.(KJV-1611) Luk 5:20 Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: Monchè, tout peche ou yo padonnen.(Creole-HT) ======= Luke 5:21 ============ Luk 5:21 And the scribes and the Pharisees began to reason, saying, Who is this which speaketh blasphemies? Who can forgive sins, but God alone?(KJV-1611) Luk 5:21 Dirèktè lalwa ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen moun sou latè ki ka padonnen peche: sa se travay Bondye sèlman.(Creole-HT) ======= Luke 5:22 ============ Luk 5:22 But when Jesus perceived their thoughts, he answering said unto them, What reason ye in your hearts?(KJV-1611) Luk 5:22 Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?(Creole-HT) ======= Luke 5:23 ============ Luk 5:23 Whether is easier, to say, Thy sins be forgiven thee; or to say, Rise up and walk?(KJV-1611) Luk 5:23 Ki sak pi fasil pou m' di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache.(Creole-HT) ======= Luke 5:24 ============ Luk 5:24 But that ye may know that the Son of man hath power upon earth to forgive sins, (he said unto the sick of the palsy,) I say unto thee, Arise, and take up thy couch, and go into thine house.(KJV-1611) Luk 5:24 Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.(Creole-HT) ======= Luke 5:25 ============ Luk 5:25 And immediately he rose up before them, and took up that whereon he lay, and departed to his own house, glorifying God.(KJV-1611) Luk 5:25 Menm lè a, nonm lan kanpe devan yo tout, li pran kabann li te kouche sou li a, li al lakay li, li t'ap fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 5:26 ============ Luk 5:26 And they were all amazed, and they glorified God, and were filled with fear, saying, We have seen strange things to day.(KJV-1611) Luk 5:26 Tout moun te sezi. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Yo te pè anpil tou, yo t'ap di: Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a!(Creole-HT) ======= Luke 5:27 ============ Luk 5:27 And after these things he went forth, and saw a publican, named Levi, sitting at the receipt of custom: and he said unto him, Follow me.(KJV-1611) Luk 5:27 Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li.(Creole-HT) ======= Luke 5:28 ============ Luk 5:28 And he left all, rose up, and followed him.(KJV-1611) Luk 5:28 Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 5:29 ============ Luk 5:29 And Levi made him a great feast in his own house: and there was a great company of publicans and of others that sat down with them.(KJV-1611) Luk 5:29 Apre sa, Levi fè yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo.(Creole-HT) ======= Luke 5:30 ============ Luk 5:30 But their scribes and Pharisees murmured against his disciples, saying, Why do ye eat and drink with publicans and sinners?(KJV-1611) Luk 5:30 Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo: Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?(Creole-HT) ======= Luke 5:31 ============ Luk 5:31 And Jesus answering said unto them, They that are whole need not a physician; but they that are sick.(KJV-1611) Luk 5:31 Jezi reponn yo: Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè.(Creole-HT) ======= Luke 5:32 ============ Luk 5:32 I came not to call the righteous, but sinners to repentance.(KJV-1611) Luk 5:32 Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye, men moun k'ap fè sa ki mal pou yo kapab tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 5:33 ============ Luk 5:33 And they said unto him, Why do the disciples of John fast often, and make prayers, and likewise the disciples of the Pharisees; but thine eat and drink?(KJV-1611) Luk 5:33 Gen kèk moun ki di Jezi konsa: Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.(Creole-HT) ======= Luke 5:34 ============ Luk 5:34 And he said unto them, Can ye make the children of the bridechamber fast, while the bridegroom is with them?(KJV-1611) Luk 5:34 Jezi reponn yo: Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo?(Creole-HT) ======= Luke 5:35 ============ Luk 5:35 But the days will come, when the bridegroom shall be taken away from them, and then shall they fast in those days.(KJV-1611) Luk 5:35 Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.(Creole-HT) ======= Luke 5:36 ============ Luk 5:36 And he spake also a parable unto them; No man putteth a piece of a new garment upon an old; if otherwise, then both the new maketh a rent, and the piece that was taken out of the new agreeth not with the old.(KJV-1611) Luk 5:36 Epi li di yo parabòl sa a: Pesonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la non plis.(Creole-HT) ======= Luke 5:37 ============ Luk 5:37 And no man putteth new wine into old bottles; else the new wine will burst the bottles, and be spilled, and the bottles shall perish.(KJV-1611) Luk 5:37 Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, diven ki fenk fèt la va pete veso an po yo. Lè sa a, diven an koule atè, veso an po yo pèdi tou.(Creole-HT) ======= Luke 5:38 ============ Luk 5:38 But new wine must be put into new bottles; and both are preserved.(KJV-1611) Luk 5:38 Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.(Creole-HT) ======= Luke 5:39 ============ Luk 5:39 No man also having drunk old wine straightway desireth new: for he saith, The old is better.(KJV-1611) Luk 5:39 Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.(Creole-HT) ======= Luke 6:1 ============ Luk 6:1 And it came to pass on the second sabbath after the first, that he went through the corn fields; and his disciples plucked the ears of corn, and did eat, rubbing them in their hands.(KJV-1611) Luk 6:1 Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote yo nan men yo, epi yo t'ap manje grenn yo.(Creole-HT) ======= Luke 6:2 ============ Luk 6:2 And certain of the Pharisees said unto them, Why do ye that which is not lawful to do on the sabbath days?(KJV-1611) Luk 6:2 Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?(Creole-HT) ======= Luke 6:3 ============ Luk 6:3 And Jesus answering them said, Have ye not read so much as this, what David did, when himself was an hungred, and they which were with him;(KJV-1611) Luk 6:3 Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l' yo, yon jou yo te grangou?(Creole-HT) ======= Luke 6:4 ============ Luk 6:4 How he went into the house of God, and did take and eat the shewbread, and gave also to them that were with him; which it is not lawful to eat but for the priests alone?(KJV-1611) Luk 6:4 Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l' yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 6:5 ============ Luk 6:5 And he said unto them, That the Son of man is Lord also of the sabbath.(KJV-1611) Luk 6:5 Apre sa li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.(Creole-HT) ======= Luke 6:6 ============ Luk 6:6 And it came to pass also on another sabbath, that he entered into the synagogue and taught: and there was a man whose right hand was withered.(KJV-1611) Luk 6:6 Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk.(Creole-HT) ======= Luke 6:7 ============ Luk 6:7 And the scribes and Pharisees watched him, whether he would heal on the sabbath day; that they might find an accusation against him.(KJV-1611) Luk 6:7 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.(Creole-HT) ======= Luke 6:8 ============ Luk 6:8 But he knew their thoughts, and said to the man which had the withered hand, Rise up, and stand forth in the midst. And he arose and stood forth.(KJV-1611) Luk 6:8 Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe.(Creole-HT) ======= Luke 6:9 ============ Luk 6:9 Then said Jesus unto them, I will ask you one thing; Is it lawful on the sabbath days to do good, or to do evil? to save life, or to destroy it?(KJV-1611) Luk 6:9 Apre sa, Jezi di moun yo: M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l' mouri?(Creole-HT) ======= Luke 6:10 ============ Luk 6:10 And looking round about upon them all, he said unto the man, Stretch forth thy hand. And he did so: and his hand was restored whole as the other.(KJV-1611) Luk 6:10 Apre sa, li pwonmennen je l' sou yo tout, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri.(Creole-HT) ======= Luke 6:11 ============ Luk 6:11 And they were filled with madness; and communed one with another what they might do to Jesus.(KJV-1611) Luk 6:11 Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 6:12 ============ Luk 6:12 And it came to pass in those days, that he went out into a mountain to pray, and continued all night in prayer to God.(KJV-1611) Luk 6:12 Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Luke 6:13 ============ Luk 6:13 And when it was day, he called unto him his disciples: and of them he chose twelve, whom also he named apostles;(KJV-1611) Luk 6:13 Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.(Creole-HT) ======= Luke 6:14 ============ Luk 6:14 Simon, (whom he also named Peter,) and Andrew his brother, James and John, Philip and Bartholomew,(KJV-1611) Luk 6:14 Se te Simon (Jezi te ba l' yon ti non Pyè), ak Andre, frè l', Jak ak Jan, Filip ak Batèlmi,(Creole-HT) ======= Luke 6:15 ============ Luk 6:15 Matthew and Thomas, James the son of Alphaeus, and Simon called Zelotes,(KJV-1611) Luk 6:15 Matye ak Toma, Jak, pitit Alfè a, ak Simon (patriyòt la),(Creole-HT) ======= Luke 6:16 ============ Luk 6:16 And Judas the brother of James, and Judas Iscariot, which also was the traitor.(KJV-1611) Luk 6:16 Jid, pitit Jak la, avèk Jida Iskariòt, nonm ki te trayi Jezi a.(Creole-HT) ======= Luke 6:17 ============ Luk 6:17 And he came down with them, and stood in the plain, and the company of his disciples, and a great multitude of people out of all Judaea and Jerusalem, and from the sea coast of Tyre and Sidon, which came to hear him, and to be healed of their diseases;(KJV-1611) Luk 6:17 Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te soti toupatou; te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanmè a. Yo te vin tande l', yo t'ap mande l' geri malad yo tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:18 ============ Luk 6:18 And they that were vexed with unclean spirits: and they were healed.(KJV-1611) Luk 6:18 Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:19 ============ Luk 6:19 And the whole multitude sought to touch him: for there went virtue out of him, and healed them all.(KJV-1611) Luk 6:19 Tout moun t'ap chache manyen l', paske te gen yon fòs ki t'ap soti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.(Creole-HT) ======= Luke 6:20 ============ Luk 6:20 And he lifted up his eyes on his disciples, and said, Blessed be ye poor: for yours is the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 6:20 Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.(Creole-HT) ======= Luke 6:21 ============ Luk 6:21 Blessed are ye that hunger now: for ye shall be filled. Blessed are ye that weep now: for ye shall laugh.(KJV-1611) Luk 6:21 benediksyon pou nou menm ki grangou koulye a, paske n'a jwenn manje an kantite. benediksyon pou nou menm k'ap kriye koulye a, paske nou pral nan kè kontan.(Creole-HT) ======= Luke 6:22 ============ Luk 6:22 Blessed are ye, when men shall hate you, and when they shall separate you from their company, and shall reproach you, and cast out your name as evil, for the Son of man's sake.(KJV-1611) Luk 6:22 benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= Luke 6:23 ============ Luk 6:23 Rejoice ye in that day, and leap for joy: for, behold, your reward is great in heaven: for in the like manner did their fathers unto the prophets.(KJV-1611) Luk 6:23 Fè kè n' kontan lè sa va rive; nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Luke 6:24 ============ Luk 6:24 But woe unto you that are rich! for ye have received your consolation.(KJV-1611) Luk 6:24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a.(Creole-HT) ======= Luke 6:25 ============ Luk 6:25 Woe unto you that are full! for ye shall hunger. Woe unto you that laugh now! for ye shall mourn and weep.(KJV-1611) Luk 6:25 Malè pou nou, nou menm ki gen tout bagay an kantite koulye a, paske nou pral grangou pou n' mouri. Malè pou nou, nou menm k'ap ri koulye a, paske nou pral nan lapenn, se pa ti kriye n'a kriye.(Creole-HT) ======= Luke 6:26 ============ Luk 6:26 Woe unto you, when all men shall speak well of you! for so did their fathers to the false prophets.(KJV-1611) Luk 6:26 Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Luke 6:27 ============ Luk 6:27 But I say unto you which hear, Love your enemies, do good to them which hate you,(KJV-1611) Luk 6:27 Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.(Creole-HT) ======= Luke 6:28 ============ Luk 6:28 Bless them that curse you, and pray for them which despitefully use you.(KJV-1611) Luk 6:28 Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.(Creole-HT) ======= Luke 6:29 ============ Luk 6:29 And unto him that smiteth thee on the one cheek offer also the other; and him that taketh away thy cloak forbid not to take thy coat also.(KJV-1611) Luk 6:29 Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:30 ============ Luk 6:30 Give to every man that asketh of thee; and of him that taketh away thy goods ask them not again.(KJV-1611) Luk 6:30 Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li.(Creole-HT) ======= Luke 6:31 ============ Luk 6:31 And as ye would that men should do to you, do ye also to them likewise.(KJV-1611) Luk 6:31 Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l' pou yo tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:32 ============ Luk 6:32 For if ye love them which love you, what thank have ye? for sinners also love those that love them.(KJV-1611) Luk 6:32 Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n' tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo.(Creole-HT) ======= Luke 6:33 ============ Luk 6:33 And if ye do good to them which do good to you, what thank have ye? for sinners also do even the same.(KJV-1611) Luk 6:33 Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:34 ============ Luk 6:34 And if ye lend to them of whom ye hope to receive, what thank have ye? for sinners also lend to sinners, to receive as much again.(KJV-1611) Luk 6:34 Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank.(Creole-HT) ======= Luke 6:35 ============ Luk 6:35 But love ye your enemies, and do good, and lend, hoping for nothing again; and your reward shall be great, and ye shall be the children of the Highest: for he is kind unto the unthankful and to the evil.(KJV-1611) Luk 6:35 Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.(Creole-HT) ======= Luke 6:36 ============ Luk 6:36 Be ye therefore merciful, as your Father also is merciful.(KJV-1611) Luk 6:36 Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.(Creole-HT) ======= Luke 6:37 ============ Luk 6:37 Judge not, and ye shall not be judged: condemn not, and ye shall not be condemned: forgive, and ye shall be forgiven:(KJV-1611) Luk 6:37 Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:38 ============ Luk 6:38 Give, and it shall be given unto you; good measure, pressed down, and shaken together, and running over, shall men give into your bosom. For with the same measure that ye mete withal it shall be measured to you again.(KJV-1611) Luk 6:38 Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.(Creole-HT) ======= Luke 6:39 ============ Luk 6:39 And he spake a parable unto them, Can the blind lead the blind? shall they not both fall into the ditch?(KJV-1611) Luk 6:39 Epi li di yo yon lòt parabòl: Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a?(Creole-HT) ======= Luke 6:40 ============ Luk 6:40 The disciple is not above his master: but every one that is perfect shall be as his master.(KJV-1611) Luk 6:40 Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.(Creole-HT) ======= Luke 6:41 ============ Luk 6:41 And why beholdest thou the mote that is in thy brother's eye, but perceivest not the beam that is in thine own eye?(KJV-1611) Luk 6:41 Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la?(Creole-HT) ======= Luke 6:42 ============ Luk 6:42 Either how canst thou say to thy brother, Brother, let me pull out the mote that is in thine eye, when thou thyself beholdest not the beam that is in thine own eye? Thou hypocrite, cast out first the beam out of thine own eye, and then shalt thou see clearly to pull out the mote that is in thy brother's eye.(KJV-1611) Luk 6:42 Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m', kite m' wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la.(Creole-HT) ======= Luke 6:43 ============ Luk 6:43 For a good tree bringeth not forth corrupt fruit; neither doth a corrupt tree bring forth good fruit.(KJV-1611) Luk 6:43 Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn.(Creole-HT) ======= Luke 6:44 ============ Luk 6:44 For every tree is known by his own fruit. For of thorns men do not gather figs, nor of a bramble bush gather they grapes.(KJV-1611) Luk 6:44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Yo pa keyi fig frans sou pye rakèt, ni yo pa rekòlte rezen sou tout vye lyann.(Creole-HT) ======= Luke 6:45 ============ Luk 6:45 A good man out of the good treasure of his heart bringeth forth that which is good; and an evil man out of the evil treasure of his heart bringeth forth that which is evil: for of the abundance of the heart his mouth speaketh.(KJV-1611) Luk 6:45 Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale soti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale soti nan kè li ki move. Paske, sak nan kè yon nonm, se sak soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Luke 6:46 ============ Luk 6:46 And why call ye me, Lord, Lord, and do not the things which I say?(KJV-1611) Luk 6:46 Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè?(Creole-HT) ======= Luke 6:47 ============ Luk 6:47 Whosoever cometh to me, and heareth my sayings, and doeth them, I will shew you to whom he is like:(KJV-1611) Luk 6:47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye:(Creole-HT) ======= Luke 6:48 ============ Luk 6:48 He is like a man which built an house, and digged deep, and laid the foundation on a rock: and when the flood arose, the stream beat vehemently upon that house, and could not shake it: for it was founded upon a rock.(KJV-1611) Luk 6:48 L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay; li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati.(Creole-HT) ======= Luke 6:49 ============ Luk 6:49 But he that heareth, and doeth not, is like a man that without a foundation built an house upon the earth; against which the stream did beat vehemently, and immediately it fell; and the ruin of that house was great.(KJV-1611) Luk 6:49 Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.(Creole-HT) ======= Luke 7:1 ============ Luk 7:1 Now when he had ended all his sayings in the audience of the people, he entered into Capernaum.(KJV-1611) Luk 7:1 Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm.(Creole-HT) ======= Luke 7:2 ============ Luk 7:2 And a certain centurion's servant, who was dear unto him, was sick, and ready to die.(KJV-1611) Luk 7:2 Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= Luke 7:3 ============ Luk 7:3 And when he heard of Jesus, he sent unto him the elders of the Jews, beseeching him that he would come and heal his servant.(KJV-1611) Luk 7:3 Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a.(Creole-HT) ======= Luke 7:4 ============ Luk 7:4 And when they came to Jesus, they besought him instantly, saying, That he was worthy for whom he should do this:(KJV-1611) Luk 7:4 Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an.(Creole-HT) ======= Luke 7:5 ============ Luk 7:5 For he loveth our nation, and he hath built us a synagogue.(KJV-1611) Luk 7:5 Se li ki te bati sinagòg la pou nou.(Creole-HT) ======= Luke 7:6 ============ Luk 7:6 Then Jesus went with them. And when he was now not far from the house, the centurion sent friends to him, saying unto him, Lord, trouble not thyself: for I am not worthy that thou shouldest enter under my roof:(KJV-1611) Luk 7:6 Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen.(Creole-HT) ======= Luke 7:7 ============ Luk 7:7 Wherefore neither thought I myself worthy to come unto thee: but say in a word, and my servant shall be healed.(KJV-1611) Luk 7:7 Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri.(Creole-HT) ======= Luke 7:8 ============ Luk 7:8 For I also am a man set under authority, having under me soldiers, and I say unto one, Go, and he goeth; and to another, Come, and he cometh; and to my servant, Do this, and he doeth it.(KJV-1611) Luk 7:8 Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.(Creole-HT) ======= Luke 7:9 ============ Luk 7:9 When Jesus heard these things, he marvelled at him, and turned him about, and said unto the people that followed him, I say unto you, I have not found so great faith, no, not in Israel.(KJV-1611) Luk 7:9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Luke 7:10 ============ Luk 7:10 And they that were sent, returning to the house, found the servant whole that had been sick.(KJV-1611) Luk 7:10 Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri.(Creole-HT) ======= Luke 7:11 ============ Luk 7:11 And it came to pass the day after, that he went into a city called Nain; and many of his disciples went with him, and much people.(KJV-1611) Luk 7:11 Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun.(Creole-HT) ======= Luke 7:12 ============ Luk 7:12 Now when he came nigh to the gate of the city, behold, there was a dead man carried out, the only son of his mother, and she was a widow: and much people of the city was with her.(KJV-1611) Luk 7:12 Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.(Creole-HT) ======= Luke 7:13 ============ Luk 7:13 And when the Lord saw her, he had compassion on her, and said unto her, Weep not.(KJV-1611) Luk 7:13 Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!(Creole-HT) ======= Luke 7:14 ============ Luk 7:14 And he came and touched the bier: and they that bare him stood still. And he said, Young man, I say unto thee, Arise.(KJV-1611) Luk 7:14 Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.(Creole-HT) ======= Luke 7:15 ============ Luk 7:15 And he that was dead sat up, and began to speak. And he delivered him to his mother.(KJV-1611) Luk 7:15 Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.(Creole-HT) ======= Luke 7:16 ============ Luk 7:16 And there came a fear on all: and they glorified God, saying, That a great prophet is risen up among us; and, That God hath visited his people.(KJV-1611) Luk 7:16 Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.(Creole-HT) ======= Luke 7:17 ============ Luk 7:17 And this rumour of him went forth throughout all Judaea, and throughout all the region round about.(KJV-1611) Luk 7:17 Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.(Creole-HT) ======= Luke 7:18 ============ Luk 7:18 And the disciples of John shewed him of all these things.(KJV-1611) Luk 7:18 Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis.(Creole-HT) ======= Luke 7:19 ============ Luk 7:19 And John calling unto him two of his disciples sent them to Jesus, saying, Art thou he that should come? or look we for another?(KJV-1611) Luk 7:19 Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?(Creole-HT) ======= Luke 7:20 ============ Luk 7:20 When the men were come unto him, they said, John Baptist hath sent us unto thee, saying, Art thou he that should come? or look we for another?(KJV-1611) Luk 7:20 Lè mesye sa yo rive bò kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt?(Creole-HT) ======= Luke 7:21 ============ Luk 7:21 And in that same hour he cured many of their infirmities and plagues, and of evil spirits; and unto many that were blind he gave sight.(KJV-1611) Luk 7:21 Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò.(Creole-HT) ======= Luke 7:22 ============ Luk 7:22 Then Jesus answering said unto them, Go your way, and tell John what things ye have seen and heard; how that the blind see, the lame walk, the lepers are cleansed, the deaf hear, the dead are raised, to the poor the gospel is preached.(KJV-1611) Luk 7:22 Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= Luke 7:23 ============ Luk 7:23 And blessed is he, whosoever shall not be offended in me.(KJV-1611) Luk 7:23 benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Luke 7:24 ============ Luk 7:24 And when the messengers of John were departed, he began to speak unto the people concerning John, What went ye out into the wilderness for to see? A reed shaken with the wind?(KJV-1611) Luk 7:24 Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi kòmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non.(Creole-HT) ======= Luke 7:25 ============ Luk 7:25 But what went ye out for to see? A man clothed in soft raiment? Behold, they which are gorgeously apparelled, and live delicately, are in kings' courts.(KJV-1611) Luk 7:25 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo.(Creole-HT) ======= Luke 7:26 ============ Luk 7:26 But what went ye out for to see? A prophet? Yea, I say unto you, and much more than a prophet.(KJV-1611) Luk 7:26 Men, manyè di m' kisa nou tal wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.(Creole-HT) ======= Luke 7:27 ============ Luk 7:27 This is he, of whom it is written, Behold, I send my messenger before thy face, which shall prepare thy way before thee.(KJV-1611) Luk 7:27 Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou.(Creole-HT) ======= Luke 7:28 ============ Luk 7:28 For I say unto you, Among those that are born of women there is not a greater prophet than John the Baptist: but he that is least in the kingdom of God is greater than he.(KJV-1611) Luk 7:28 M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li.(Creole-HT) ======= Luke 7:29 ============ Luk 7:29 And all the people that heard him, and the publicans, justified God, being baptized with the baptism of John.(KJV-1611) Luk 7:29 Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo.(Creole-HT) ======= Luke 7:30 ============ Luk 7:30 But the Pharisees and lawyers rejected the counsel of God against themselves, being not baptized of him.(KJV-1611) Luk 7:30 Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.(Creole-HT) ======= Luke 7:31 ============ Luk 7:31 And the Lord said, Whereunto then shall I liken the men of this generation? and to what are they like?(KJV-1611) Luk 7:31 Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm?(Creole-HT) ======= Luke 7:32 ============ Luk 7:32 They are like unto children sitting in the marketplace, and calling one to another, and saying, We have piped unto you, and ye have not danced; we have mourned to you, and ye have not wept.(KJV-1611) Luk 7:32 Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di l' konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye.(Creole-HT) ======= Luke 7:33 ============ Luk 7:33 For John the Baptist came neither eating bread nor drinking wine; and ye say, He hath a devil.(KJV-1611) Luk 7:33 Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li.(Creole-HT) ======= Luke 7:34 ============ Luk 7:34 The Son of man is come eating and drinking; and ye say, Behold a gluttonous man, and a winebibber, a friend of publicans and sinners!(KJV-1611) Luk 7:34 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.(Creole-HT) ======= Luke 7:35 ============ Luk 7:35 But wisdom is justified of all her children.(KJV-1611) Luk 7:35 Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon.(Creole-HT) ======= Luke 7:36 ============ Luk 7:36 And one of the Pharisees desired him that he would eat with him. And he went into the Pharisee's house, and sat down to meat.(KJV-1611) Luk 7:36 Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje.(Creole-HT) ======= Luke 7:37 ============ Luk 7:37 And, behold, a woman in the city, which was a sinner, when she knew that Jesus sat at meat in the Pharisee's house, brought an alabaster box of ointment,(KJV-1611) Luk 7:37 Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè.(Creole-HT) ======= Luke 7:38 ============ Luk 7:38 And stood at his feet behind him weeping, and began to wash his feet with tears, and did wipe them with the hairs of her head, and kissed his feet, and anointed them with the ointment.(KJV-1611) Luk 7:38 Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.(Creole-HT) ======= Luke 7:39 ============ Luk 7:39 Now when the Pharisee which had bidden him saw it, he spake within himself, saying, This man, if he were a prophet, would have known who and what manner of woman this is that toucheth him: for she is a sinner.(KJV-1611) Luk 7:39 Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.(Creole-HT) ======= Luke 7:40 ============ Luk 7:40 And Jesus answering said unto him, Simon, I have somewhat to say unto thee. And he saith, Master, say on.(KJV-1611) Luk 7:40 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi.(Creole-HT) ======= Luke 7:41 ============ Luk 7:41 There was a certain creditor which had two debtors: the one owed five hundred pence, and the other fifty.(KJV-1611) Luk 7:41 Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan goud; lòt la te dwe l' senkant goud.(Creole-HT) ======= Luke 7:42 ============ Luk 7:42 And when they had nothing to pay, he frankly forgave them both. Tell me therefore, which of them will love him most?(KJV-1611) Luk 7:42 Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis?(Creole-HT) ======= Luke 7:43 ============ Luk 7:43 Simon answered and said, I suppose that he, to whom he forgave most. And he said unto him, Thou hast rightly judged.(KJV-1611) Luk 7:43 Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn.(Creole-HT) ======= Luke 7:44 ============ Luk 7:44 And he turned to the woman, and said unto Simon, Seest thou this woman? I entered into thine house, thou gavest me no water for my feet: but she hath washed my feet with tears, and wiped them with the hairs of her head.(KJV-1611) Luk 7:44 Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li.(Creole-HT) ======= Luke 7:45 ============ Luk 7:45 Thou gavest me no kiss: but this woman since the time I came in hath not ceased to kiss my feet.(KJV-1611) Luk 7:45 Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'.(Creole-HT) ======= Luke 7:46 ============ Luk 7:46 My head with oil thou didst not anoint: but this woman hath anointed my feet with ointment.(KJV-1611) Luk 7:46 Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen.(Creole-HT) ======= Luke 7:47 ============ Luk 7:47 Wherefore I say unto thee, Her sins, which are many, are forgiven; for she loved much: but to whom little is forgiven, the same loveth little.(KJV-1611) Luk 7:47 Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.(Creole-HT) ======= Luke 7:48 ============ Luk 7:48 And he said unto her, Thy sins are forgiven.(KJV-1611) Luk 7:48 Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen.(Creole-HT) ======= Luke 7:49 ============ Luk 7:49 And they that sat at meat with him began to say within themselves, Who is this that forgiveth sins also?(KJV-1611) Luk 7:49 Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?(Creole-HT) ======= Luke 7:50 ============ Luk 7:50 And he said to the woman, Thy faith hath saved thee; go in peace.(KJV-1611) Luk 7:50 Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.(Creole-HT) ======= Luke 8:1 ============ Luk 8:1 And it came to pass afterward, that he went throughout every city and village, preaching and shewing the glad tidings of the kingdom of God: and the twelve were with him,(KJV-1611) Luk 8:1 Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.(Creole-HT) ======= Luke 8:2 ============ Luk 8:2 And certain women, which had been healed of evil spirits and infirmities, Mary called Magdalene, out of whom went seven devils,(KJV-1611) Luk 8:2 Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li.(Creole-HT) ======= Luke 8:3 ============ Luk 8:3 And Joanna the wife of Chuza Herod's steward, and Susanna, and many others, which ministered unto him of their substance.(KJV-1611) Luk 8:3 Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen.(Creole-HT) ======= Luke 8:4 ============ Luk 8:4 And when much people were gathered together, and were come to him out of every city, he spake by a parable:(KJV-1611) Luk 8:4 Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble; moun te soti nan divès vil vin bò kot Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a:(Creole-HT) ======= Luke 8:5 ============ Luk 8:5 A sower went out to sow his seed: and as he sowed, some fell by the way side; and it was trodden down, and the fowls of the air devoured it.(KJV-1611) Luk 8:5 Yon nonm soti pou li ale simen grenn nan jaden li. Pandan l' t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwezo nan syèl vini, yo manje yo.(Creole-HT) ======= Luke 8:6 ============ Luk 8:6 And some fell upon a rock; and as soon as it was sprung up, it withered away, because it lacked moisture.(KJV-1611) Luk 8:6 Yon pati tonbe nan mitan wòch; grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pa t' jwenn tè fre.(Creole-HT) ======= Luke 8:7 ============ Luk 8:7 And some fell among thorns; and the thorns sprang up with it, and choked it.(KJV-1611) Luk 8:7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo.(Creole-HT) ======= Luke 8:8 ============ Luk 8:8 And other fell on good ground, and sprang up, and bare fruit an hundredfold. And when he had said these things, he cried, He that hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Luk 8:8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.(Creole-HT) ======= Luke 8:9 ============ Luk 8:9 And his disciples asked him, saying, What might this parable be?(KJV-1611) Luk 8:9 Disip li yo mande l' kisa parabòl sa a vle di.(Creole-HT) ======= Luke 8:10 ============ Luk 8:10 And he said, Unto you it is given to know the mysteries of the kingdom of God: but to others in parables; that seeing they might not see, and hearing they might not understand.(KJV-1611) Luk 8:10 Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.(Creole-HT) ======= Luke 8:11 ============ Luk 8:11 Now the parable is this: The seed is the word of God.(KJV-1611) Luk 8:11 Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 8:12 ============ Luk 8:12 Those by the way side are they that hear; then cometh the devil, and taketh away the word out of their hearts, lest they should believe and be saved.(KJV-1611) Luk 8:12 Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove.(Creole-HT) ======= Luke 8:13 ============ Luk 8:13 They on the rock are they, which, when they hear, receive the word with joy; and these have no root, which for a while believe, and in time of temptation fall away.(KJV-1611) Luk 8:13 Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 8:14 ============ Luk 8:14 And that which fell among thorns are they, which, when they have heard, go forth, and are choked with cares and riches and pleasures of this life, and bring no fruit to perfection.(KJV-1611) Luk 8:14 Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.(Creole-HT) ======= Luke 8:15 ============ Luk 8:15 But that on the good ground are they, which in an honest and good heart, having heard the word, keep it, and bring forth fruit with patience.(KJV-1611) Luk 8:15 Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.(Creole-HT) ======= Luke 8:16 ============ Luk 8:16 No man, when he hath lighted a candle, covereth it with a vessel, or putteth it under a bed; but setteth it on a candlestick, that they which enter in may see the light.(KJV-1611) Luk 8:16 Pesonn pa limen yon lanp pou l' kouvri l' anba yon mamit, osinon pou l' mete l' anba yon kabann. Li mete l' sou yon etajè. Konsa, moun k'ap antre yo kapab wè limyè a.(Creole-HT) ======= Luke 8:17 ============ Luk 8:17 For nothing is secret, that shall not be made manifest; neither any thing hid, that shall not be known and come abroad.(KJV-1611) Luk 8:17 Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè.(Creole-HT) ======= Luke 8:18 ============ Luk 8:18 Take heed therefore how ye hear: for whosoever hath, to him shall be given; and whosoever hath not, from him shall be taken even that which he seemeth to have.(KJV-1611) Luk 8:18 Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an.(Creole-HT) ======= Luke 8:19 ============ Luk 8:19 Then came to him his mother and his brethren, and could not come at him for the press.(KJV-1611) Luk 8:19 Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo.(Creole-HT) ======= Luke 8:20 ============ Luk 8:20 And it was told him by certain which said, Thy mother and thy brethren stand without, desiring to see thee.(KJV-1611) Luk 8:20 Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou.(Creole-HT) ======= Luke 8:21 ============ Luk 8:21 And he answered and said unto them, My mother and my brethren are these which hear the word of God, and do it.(KJV-1611) Luk 8:21 Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.(Creole-HT) ======= Luke 8:22 ============ Luk 8:22 Now it came to pass on a certain day, that he went into a ship with his disciples: and he said unto them, Let us go over unto the other side of the lake. And they launched forth.(KJV-1611) Luk 8:22 Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati.(Creole-HT) ======= Luke 8:23 ============ Luk 8:23 But as they sailed he fell asleep: and there came down a storm of wind on the lake; and they were filled with water, and were in jeopardy.(KJV-1611) Luk 8:23 Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kòmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje.(Creole-HT) ======= Luke 8:24 ============ Luk 8:24 And they came to him, and awoke him, saying, Master, master, we perish. Then he arose, and rebuked the wind and the raging of the water: and they ceased, and there was a calm.(KJV-1611) Luk 8:24 Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt.(Creole-HT) ======= Luke 8:25 ============ Luk 8:25 And he said unto them, Where is your faith? And they being afraid wondered, saying one to another, What manner of man is this! for he commandeth even the winds and water, and they obey him.(KJV-1611) Luk 8:25 Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li.(Creole-HT) ======= Luke 8:26 ============ Luk 8:26 And they arrived at the country of the Gadarenes, which is over against Galilee.(KJV-1611) Luk 8:26 Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizaviz ak Galile.(Creole-HT) ======= Luke 8:27 ============ Luk 8:27 And when he went forth to land, there met him out of the city a certain man, which had devils long time, and ware no clothes, neither abode in any house, but in the tombs.(KJV-1611) Luk 8:27 Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv.(Creole-HT) ======= Luke 8:28 ============ Luk 8:28 When he saw Jesus, he cried out, and fell down before him, and with a loud voice said, What have I to do with thee, Jesus, thou Son of God most high? I beseech thee, torment me not.(KJV-1611) Luk 8:28 Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri.(Creole-HT) ======= Luke 8:29 ============ Luk 8:29 (For he had commanded the unclean spirit to come out of the man. For oftentimes it had caught him: and he was kept bound with chains and in fetters; and he brake the bands, and was driven of the devil into the wilderness.)(KJV-1611) Luk 8:29 Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè.(Creole-HT) ======= Luke 8:30 ============ Luk 8:30 And Jesus asked him, saying, What is thy name? And he said, Legion: because many devils were entered into him.(KJV-1611) Luk 8:30 Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan.(Creole-HT) ======= Luke 8:31 ============ Luk 8:31 And they besought him that he would not command them to go out into the deep.(KJV-1611) Luk 8:31 Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an.(Creole-HT) ======= Luke 8:32 ============ Luk 8:32 And there was there an herd of many swine feeding on the mountain: and they besought him that he would suffer them to enter into them. And he suffered them.(KJV-1611) Luk 8:32 Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a.(Creole-HT) ======= Luke 8:33 ============ Luk 8:33 Then went the devils out of the man, and entered into the swine: and the herd ran violently down a steep place into the lake, and were choked.(KJV-1611) Luk 8:33 Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an.(Creole-HT) ======= Luke 8:34 ============ Luk 8:34 When they that fed them saw what was done, they fled, and went and told it in the city and in the country.(KJV-1611) Luk 8:34 Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò.(Creole-HT) ======= Luke 8:35 ============ Luk 8:35 Then they went out to see what was done; and came to Jesus, and found the man, out of whom the devils were departed, sitting at the feet of Jesus, clothed, and in his right mind: and they were afraid.(KJV-1611) Luk 8:35 Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè.(Creole-HT) ======= Luke 8:36 ============ Luk 8:36 They also which saw it told them by what means he that was possessed of the devils was healed.(KJV-1611) Luk 8:36 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri.(Creole-HT) ======= Luke 8:37 ============ Luk 8:37 Then the whole multitude of the country of the Gadarenes round about besought him to depart from them; for they were taken with great fear: and he went up into the ship, and returned back again.(KJV-1611) Luk 8:37 Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale.(Creole-HT) ======= Luke 8:38 ============ Luk 8:38 Now the man out of whom the devils were departed besought him that he might be with him: but Jesus sent him away, saying,(KJV-1611) Luk 8:38 Nonm ki te gen move lespri soti sou li a mande l' pou li ale avèk li tou. Men, Jezi voye l' ale, li di li:(Creole-HT) ======= Luke 8:39 ============ Luk 8:39 Return to thine own house, and shew how great things God hath done unto thee. And he went his way, and published throughout the whole city how great things Jesus had done unto him.(KJV-1611) Luk 8:39 Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.(Creole-HT) ======= Luke 8:40 ============ Luk 8:40 And it came to pass, that, when Jesus was returned, the people gladly received him: for they were all waiting for him.(KJV-1611) Luk 8:40 Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l', paske tout moun t'ap tann li.(Creole-HT) ======= Luke 8:41 ============ Luk 8:41 And, behold, there came a man named Jairus, and he was a ruler of the synagogue: and he fell down at Jesus' feet, and besought him that he would come into his house:(KJV-1611) Luk 8:41 Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay.(Creole-HT) ======= Luke 8:42 ============ Luk 8:42 For he had one only daughter, about twelve years of age, and she lay a dying. But as he went the people thronged him.(KJV-1611) Luk 8:42 Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m', mwen kite l' prèt pou mouri. Pandan Jezi tapral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l' toupatou.(Creole-HT) ======= Luke 8:43 ============ Luk 8:43 And a woman having an issue of blood twelve years, which had spent all her living upon physicians, neither could be healed of any,(KJV-1611) Luk 8:43 Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dòktè, san yo yonn pa t' kapab geri li.(Creole-HT) ======= Luke 8:44 ============ Luk 8:44 Came behind him, and touched the border of his garment: and immediately her issue of blood stanched.(KJV-1611) Luk 8:44 Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete.(Creole-HT) ======= Luke 8:45 ============ Luk 8:45 And Jesus said, Who touched me? When all denied, Peter and they that were with him said, Master, the multitude throng thee and press thee, and sayest thou, Who touched me?(KJV-1611) Luk 8:45 Jezi mande: Ki moun ki manyen m' lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan.(Creole-HT) ======= Luke 8:46 ============ Luk 8:46 And Jesus said, Somebody hath touched me: for I perceive that virtue is gone out of me.(KJV-1611) Luk 8:46 Men, Jezi reponn li: Mwen di ou gen yon moun ki manyen m', paske mwen santi yon fòs soti sou mwen.(Creole-HT) ======= Luke 8:47 ============ Luk 8:47 And when the woman saw that she was not hid, she came trembling, and falling down before him, she declared unto him before all the people for what cause she had touched him, and how she was healed immediately.(KJV-1611) Luk 8:47 Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l', li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l' nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l', ki jan li te geri menm lè a tou.(Creole-HT) ======= Luke 8:48 ============ Luk 8:48 And he said unto her, Daughter, be of good comfort: thy faith hath made thee whole; go in peace.(KJV-1611) Luk 8:48 Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze.(Creole-HT) ======= Luke 8:49 ============ Luk 8:49 While he yet spake, there cometh one from the ruler of the synagogue's house, saying to him, Thy daughter is dead; trouble not the Master.(KJV-1611) Luk 8:49 Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm soti lakay chèf sinagòg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mèt la pase sa.(Creole-HT) ======= Luke 8:50 ============ Luk 8:50 But when Jesus heard it, he answered him, saying, Fear not: believe only, and she shall be made whole.(KJV-1611) Luk 8:50 Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri.(Creole-HT) ======= Luke 8:51 ============ Luk 8:51 And when he came into the house, he suffered no man to go in, save Peter, and James, and John, and the father and the mother of the maiden.(KJV-1611) Luk 8:51 Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la.(Creole-HT) ======= Luke 8:52 ============ Luk 8:52 And all wept, and bewailed her: but he said, Weep not; she is not dead, but sleepeth.(KJV-1611) Luk 8:52 Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi.(Creole-HT) ======= Luke 8:53 ============ Luk 8:53 And they laughed him to scorn, knowing that she was dead.(KJV-1611) Luk 8:53 Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri.(Creole-HT) ======= Luke 8:54 ============ Luk 8:54 And he put them all out, and took her by the hand, and called, saying, Maid, arise.(KJV-1611) Luk 8:54 Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve.(Creole-HT) ======= Luke 8:55 ============ Luk 8:55 And her spirit came again, and she arose straightway: and he commanded to give her meat.(KJV-1611) Luk 8:55 Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje.(Creole-HT) ======= Luke 8:56 ============ Luk 8:56 And her parents were astonished: but he charged them that they should tell no man what was done.(KJV-1611) Luk 8:56 Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pesonn sak te pase.(Creole-HT) ======= Luke 9:1 ============ Luk 9:1 Then he called his twelve disciples together, and gave them power and authority over all devils, and to cure diseases.(KJV-1611) Luk 9:1 Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi.(Creole-HT) ======= Luke 9:2 ============ Luk 9:2 And he sent them to preach the kingdom of God, and to heal the sick.(KJV-1611) Luk 9:2 Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.(Creole-HT) ======= Luke 9:3 ============ Luk 9:3 And he said unto them, Take nothing for your journey, neither staves, nor scrip, neither bread, neither money; neither have two coats apiece.(KJV-1611) Luk 9:3 Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj.(Creole-HT) ======= Luke 9:4 ============ Luk 9:4 And whatsoever house ye enter into, there abide, and thence depart.(KJV-1611) Luk 9:4 Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a.(Creole-HT) ======= Luke 9:5 ============ Luk 9:5 And whosoever will not receive you, when ye go out of that city, shake off the very dust from your feet for a testimony against them.(KJV-1611) Luk 9:5 Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:6 ============ Luk 9:6 And they departed, and went through the towns, preaching the gospel, and healing every where.(KJV-1611) Luk 9:6 Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou.(Creole-HT) ======= Luke 9:7 ============ Luk 9:7 Now Herod the tetrarch heard of all that was done by him: and he was perplexed, because that it was said of some, that John was risen from the dead;(KJV-1611) Luk 9:7 Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:8 ============ Luk 9:8 And of some, that Elias had appeared; and of others, that one of the old prophets was risen again.(KJV-1611) Luk 9:8 Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:9 ============ Luk 9:9 And Herod said, John have I beheaded: but who is this, of whom I hear such things? And he desired to see him.(KJV-1611) Luk 9:9 Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 9:10 ============ Luk 9:10 And the apostles, when they were returned, told him all that they had done. And he took them, and went aside privately into a desert place belonging to the city called Bethsaida.(KJV-1611) Luk 9:10 Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda.(Creole-HT) ======= Luke 9:11 ============ Luk 9:11 And the people, when they knew it, followed him: and he received them, and spake unto them of the kingdom of God, and healed them that had need of healing.(KJV-1611) Luk 9:11 Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.(Creole-HT) ======= Luke 9:12 ============ Luk 9:12 And when the day began to wear away, then came the twelve, and said unto him, Send the multitude away, that they may go into the towns and country round about, and lodge, and get victuals: for we are here in a desert place.(KJV-1611) Luk 9:12 Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè.(Creole-HT) ======= Luke 9:13 ============ Luk 9:13 But he said unto them, Give ye them to eat. And they said, We have no more but five loaves and two fishes; except we should go and buy meat for all this people.(KJV-1611) Luk 9:13 Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a?(Creole-HT) ======= Luke 9:14 ============ Luk 9:14 For they were about five thousand men. And he said to his disciples, Make them sit down by fifties in a company.(KJV-1611) Luk 9:14 (Te gen senkmil gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa.(Creole-HT) ======= Luke 9:15 ============ Luk 9:15 And they did so, and made them all sit down.(KJV-1611) Luk 9:15 Disip yo koute l', yo fè tout moun chita.(Creole-HT) ======= Luke 9:16 ============ Luk 9:16 Then he took the five loaves and the two fishes, and looking up to heaven, he blessed them, and brake, and gave to the disciples to set before the multitude.(KJV-1611) Luk 9:16 Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:17 ============ Luk 9:17 And they did eat, and were all filled: and there was taken up of fragments that remained to them twelve baskets.(KJV-1611) Luk 9:17 Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.(Creole-HT) ======= Luke 9:18 ============ Luk 9:18 And it came to pass, as he was alone praying, his disciples were with him: and he asked them, saying, Whom say the people that I am?(KJV-1611) Luk 9:18 Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: Ki moun yo di mwen ye?(Creole-HT) ======= Luke 9:19 ============ Luk 9:19 They answering said, John the Baptist; but some say, Elias; and others say, that one of the old prophets is risen again.(KJV-1611) Luk 9:19 Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:20 ============ Luk 9:20 He said unto them, But whom say ye that I am? Peter answering said, The Christ of God.(KJV-1611) Luk 9:20 Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a.(Creole-HT) ======= Luke 9:21 ============ Luk 9:21 And he straitly charged them, and commanded them to tell no man that thing;(KJV-1611) Luk 9:21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pesonn sa.(Creole-HT) ======= Luke 9:22 ============ Luk 9:22 Saying, The Son of man must suffer many things, and be rejected of the elders and chief priests and scribes, and be slain, and be raised the third day.(KJV-1611) Luk 9:22 Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 9:23 ============ Luk 9:23 And he said to them all, If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross daily, and follow me.(KJV-1611) Luk 9:23 Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.(Creole-HT) ======= Luke 9:24 ============ Luk 9:24 For whosoever will save his life shall lose it: but whosoever will lose his life for my sake, the same shall save it.(KJV-1611) Luk 9:24 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li.(Creole-HT) ======= Luke 9:25 ============ Luk 9:25 For what is a man advantaged, if he gain the whole world, and lose himself, or be cast away?(KJV-1611) Luk 9:25 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li?(Creole-HT) ======= Luke 9:26 ============ Luk 9:26 For whosoever shall be ashamed of me and of my words, of him shall the Son of man be ashamed, when he shall come in his own glory, and in his Father's, and of the holy angels.(KJV-1611) Luk 9:26 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.(Creole-HT) ======= Luke 9:27 ============ Luk 9:27 But I tell you of a truth, there be some standing here, which shall not taste of death, till they see the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 9:27 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a.(Creole-HT) ======= Luke 9:28 ============ Luk 9:28 And it came to pass about an eight days after these sayings, he took Peter and John and James, and went up into a mountain to pray.(KJV-1611) Luk 9:28 Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè.(Creole-HT) ======= Luke 9:29 ============ Luk 9:29 And as he prayed, the fashion of his countenance was altered, and his raiment was white and glistering.(KJV-1611) Luk 9:29 Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.(Creole-HT) ======= Luke 9:30 ============ Luk 9:30 And, behold, there talked with him two men, which were Moses and Elias:(KJV-1611) Luk 9:30 Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli,(Creole-HT) ======= Luke 9:31 ============ Luk 9:31 Who appeared in glory, and spake of his decease which he should accomplish at Jerusalem.(KJV-1611) Luk 9:31 ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki soti nan syel la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li tapral mouri lavil Jerizalèm pou l' te ka akonpli misyon li.(Creole-HT) ======= Luke 9:32 ============ Luk 9:32 But Peter and they that were with him were heavy with sleep: and when they were awake, they saw his glory, and the two men that stood with him.(KJV-1611) Luk 9:32 Yon bon dòmi te gen tan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l' yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:33 ============ Luk 9:33 And it came to pass, as they departed from him, Peter said unto Jesus, Master, it is good for us to be here: and let us make three tabernacles; one for thee, and one for Moses, and one for Elias: not knowing what he said.(KJV-1611) Luk 9:33 Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyè di li: Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di.(Creole-HT) ======= Luke 9:34 ============ Luk 9:34 While he thus spake, there came a cloud, and overshadowed them: and they feared as they entered into the cloud.(KJV-1611) Luk 9:34 Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lè disip yo wè nwaj la ap vin sou yo, yo te pè.(Creole-HT) ======= Luke 9:35 ============ Luk 9:35 And there came a voice out of the cloud, saying, This is my beloved Son: hear him.(KJV-1611) Luk 9:35 Lè sa a, yo tande yon vwa ki soti nan nwaj la ki di: Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!(Creole-HT) ======= Luke 9:36 ============ Luk 9:36 And when the voice was past, Jesus was found alone. And they kept it close, and told no man in those days any of those things which they had seen.(KJV-1611) Luk 9:36 Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pa t' rakonte pesonn sa yo te wè.(Creole-HT) ======= Luke 9:37 ============ Luk 9:37 And it came to pass, that on the next day, when they were come down from the hill, much people met him.(KJV-1611) Luk 9:37 Nan denmen, yo desann soti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 9:38 ============ Luk 9:38 And, behold, a man of the company cried out, saying, Master, I beseech thee, look upon my son: for he is mine only child.(KJV-1611) Luk 9:38 Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen.(Creole-HT) ======= Luke 9:39 ============ Luk 9:39 And, lo, a spirit taketh him, and he suddenly crieth out; and it teareth him that he foameth again, and bruising him hardly departeth from him.(KJV-1611) Luk 9:39 Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li.(Creole-HT) ======= Luke 9:40 ============ Luk 9:40 And I besought thy disciples to cast him out; and they could not.(KJV-1611) Luk 9:40 Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab.(Creole-HT) ======= Luke 9:41 ============ Luk 9:41 And Jesus answering said, O faithless and perverse generation, how long shall I be with you, and suffer you? Bring thy son hither.(KJV-1611) Luk 9:41 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit.(Creole-HT) ======= Luke 9:42 ============ Luk 9:42 And as he was yet a coming, the devil threw him down, and tare him. And Jesus rebuked the unclean spirit, and healed the child, and delivered him again to his father.(KJV-1611) Luk 9:42 Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li.(Creole-HT) ======= Luke 9:43 ============ Luk 9:43 And they were all amazed at the mighty power of God. But while they wondered every one at all things which Jesus did, he said unto his disciples,(KJV-1611) Luk 9:43 Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:(Creole-HT) ======= Luke 9:44 ============ Luk 9:44 Let these sayings sink down into your ears: for the Son of man shall be delivered into the hands of men.(KJV-1611) Luk 9:44 Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm.(Creole-HT) ======= Luke 9:45 ============ Luk 9:45 But they understood not this saying, and it was hid from them, that they perceived it not: and they feared to ask him of that saying.(KJV-1611) Luk 9:45 Men, disip yo pa t' konprann pawòl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l' keksyon sou sa tou.(Creole-HT) ======= Luke 9:46 ============ Luk 9:46 Then there arose a reasoning among them, which of them should be greatest.(KJV-1611) Luk 9:46 Apre sa, disip yo t'ap diskite yonn ak lòt pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg.(Creole-HT) ======= Luke 9:47 ============ Luk 9:47 And Jesus, perceiving the thought of their heart, took a child, and set him by him,(KJV-1611) Luk 9:47 Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l' bò kote li.(Creole-HT) ======= Luke 9:48 ============ Luk 9:48 And said unto them, Whosoever shall receive this child in my name receiveth me: and whosoever shall receive me receiveth him that sent me: for he that is least among you all, the same shall be great.(KJV-1611) Luk 9:48 Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg.(Creole-HT) ======= Luke 9:49 ============ Luk 9:49 And John answered and said, Master, we saw one casting out devils in thy name; and we forbad him, because he followeth not with us.(KJV-1611) Luk 9:49 Jan pran lapawòl, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou.(Creole-HT) ======= Luke 9:50 ============ Luk 9:50 And Jesus said unto him, Forbid him not: for he that is not against us is for us.(KJV-1611) Luk 9:50 Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye.(Creole-HT) ======= Luke 9:51 ============ Luk 9:51 And it came to pass, when the time was come that he should be received up, he stedfastly set his face to go to Jerusalem,(KJV-1611) Luk 9:51 Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 9:52 ============ Luk 9:52 And sent messengers before his face: and they went, and entered into a village of the Samaritans, to make ready for him.(KJV-1611) Luk 9:52 Li voye kèk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann.(Creole-HT) ======= Luke 9:53 ============ Luk 9:53 And they did not receive him, because his face was as though he would go to Jerusalem.(KJV-1611) Luk 9:53 Men, moun yo pa t' vle resevwa l', paske li tapral Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 9:54 ============ Luk 9:54 And when his disciples James and John saw this, they said, Lord, wilt thou that we command fire to come down from heaven, and consume them, even as Elias did?(KJV-1611) Luk 9:54 Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?(Creole-HT) ======= Luke 9:55 ============ Luk 9:55 But he turned, and rebuked them, and said, Ye know not what manner of spirit ye are of.(KJV-1611) Luk 9:55 Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo.(Creole-HT) ======= Luke 9:56 ============ Luk 9:56 For the Son of man is not come to destroy men's lives, but to save them. And they went to another village.(KJV-1611) Luk 9:56 Apre sa, y' ale nan yon lòt bouk.(Creole-HT) ======= Luke 9:57 ============ Luk 9:57 And it came to pass, that, as they went in the way, a certain man said unto him, Lord, I will follow thee whithersoever thou goest.(KJV-1611) Luk 9:57 Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: M'ap swiv ou tout kote ou prale.(Creole-HT) ======= Luke 9:58 ============ Luk 9:58 And Jesus said unto him, Foxes have holes, and birds of the air have nests; but the Son of man hath not where to lay his head.(KJV-1611) Luk 9:58 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo, zwezo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m' poze tèt mwen.(Creole-HT) ======= Luke 9:59 ============ Luk 9:59 And he said unto another, Follow me. But he said, Lord, suffer me first to go and bury my father.(KJV-1611) Luk 9:59 Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan.(Creole-HT) ======= Luke 9:60 ============ Luk 9:60 Jesus said unto him, Let the dead bury their dead: but go thou and preach the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 9:60 Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a.(Creole-HT) ======= Luke 9:61 ============ Luk 9:61 And another also said, Lord, I will follow thee; but let me first go bid them farewell, which are at home at my house.(KJV-1611) Luk 9:61 Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa.(Creole-HT) ======= Luke 9:62 ============ Luk 9:62 And Jesus said unto him, No man, having put his hand to the plough, and looking back, is fit for the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 9:62 Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 10:1 ============ Luk 10:1 After these things the LORD appointed other seventy also, and sent them two and two before his face into every city and place, whither he himself would come.(KJV-1611) Luk 10:1 Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.(Creole-HT) ======= Luke 10:2 ============ Luk 10:2 Therefore said he unto them, The harvest truly is great, but the labourers are few: pray ye therefore the Lord of the harvest, that he would send forth labourers into his harvest.(KJV-1611) Luk 10:2 Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l' voye travayè nan jaden l' lan.(Creole-HT) ======= Luke 10:3 ============ Luk 10:3 Go your ways: behold, I send you forth as lambs among wolves.(KJV-1611) Luk 10:3 Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon.(Creole-HT) ======= Luke 10:4 ============ Luk 10:4 Carry neither purse, nor scrip, nor shoes: and salute no man by the way.(KJV-1611) Luk 10:4 Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an.(Creole-HT) ======= Luke 10:5 ============ Luk 10:5 And into whatsoever house ye enter, first say, Peace be to this house.(KJV-1611) Luk 10:5 Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la.(Creole-HT) ======= Luke 10:6 ============ Luk 10:6 And if the son of peace be there, your peace shall rest upon it: if not, it shall turn to you again.(KJV-1611) Luk 10:6 Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou.(Creole-HT) ======= Luke 10:7 ============ Luk 10:7 And in the same house remain, eating and drinking such things as they give: for the labourer is worthy of his hire. Go not from house to house.(KJV-1611) Luk 10:7 Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.(Creole-HT) ======= Luke 10:8 ============ Luk 10:8 And into whatsoever city ye enter, and they receive you, eat such things as are set before you:(KJV-1611) Luk 10:8 Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y'a mete devan nou.(Creole-HT) ======= Luke 10:9 ============ Luk 10:9 And heal the sick that are therein, and say unto them, The kingdom of God is come nigh unto you.(KJV-1611) Luk 10:9 Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.(Creole-HT) ======= Luke 10:10 ============ Luk 10:10 But into whatsoever city ye enter, and they receive you not, go your ways out into the streets of the same, and say,(KJV-1611) Luk 10:10 Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa:(Creole-HT) ======= Luke 10:11 ============ Luk 10:11 Even the very dust of your city, which cleaveth on us, we do wipe off against you: notwithstanding be ye sure of this, that the kingdom of God is come nigh unto you.(KJV-1611) Luk 10:11 Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou.(Creole-HT) ======= Luke 10:12 ============ Luk 10:12 But I say unto you, that it shall be more tolerable in that day for Sodom, than for that city.(KJV-1611) Luk 10:12 M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.(Creole-HT) ======= Luke 10:13 ============ Luk 10:13 Woe unto thee, Chorazin! woe unto thee, Bethsaida! for if the mighty works had been done in Tyre and Sidon, which have been done in you, they had a great while ago repented, sitting in sackcloth and ashes.(KJV-1611) Luk 10:13 Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 10:14 ============ Luk 10:14 But it shall be more tolerable for Tyre and Sidon at the judgment, than for you.(KJV-1611) Luk 10:14 Se poutèt sa, jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon.(Creole-HT) ======= Luke 10:15 ============ Luk 10:15 And thou, Capernaum, which art exalted to heaven, shalt be thrust down to hell.(KJV-1611) Luk 10:15 Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Luke 10:16 ============ Luk 10:16 He that heareth you heareth me; and he that despiseth you despiseth me; and he that despiseth me despiseth him that sent me.(KJV-1611) Luk 10:16 Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.(Creole-HT) ======= Luke 10:17 ============ Luk 10:17 And the seventy returned again with joy, saying, Lord, even the devils are subject unto us through thy name.(KJV-1611) Luk 10:17 Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.(Creole-HT) ======= Luke 10:18 ============ Luk 10:18 And he said unto them, I beheld Satan as lightning fall from heaven.(KJV-1611) Luk 10:18 Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.(Creole-HT) ======= Luke 10:19 ============ Luk 10:19 Behold, I give unto you power to tread on serpents and scorpions, and over all the power of the enemy: and nothing shall by any means hurt you.(KJV-1611) Luk 10:19 Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.(Creole-HT) ======= Luke 10:20 ============ Luk 10:20 Notwithstanding in this rejoice not, that the spirits are subject unto you; but rather rejoice, because your names are written in heaven.(KJV-1611) Luk 10:20 Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.(Creole-HT) ======= Luke 10:21 ============ Luk 10:21 In that hour Jesus rejoiced in spirit, and said, I thank thee, O Father, Lord of heaven and earth, that thou hast hid these things from the wise and prudent, and hast revealed them unto babes: even so, Father; for so it seemed good in thy sight.(KJV-1611) Luk 10:21 Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.(Creole-HT) ======= Luke 10:22 ============ Luk 10:22 All things are delivered to me of my Father: and no man knoweth who the Son is, but the Father; and who the Father is, but the Son, and he to whom the Son will reveal him.(KJV-1611) Luk 10:22 Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.(Creole-HT) ======= Luke 10:23 ============ Luk 10:23 And he turned him unto his disciples, and said privately, Blessed are the eyes which see the things that ye see:(KJV-1611) Luk 10:23 Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a.(Creole-HT) ======= Luke 10:24 ============ Luk 10:24 For I tell you, that many prophets and kings have desired to see those things which ye see, and have not seen them; and to hear those things which ye hear, and have not heard them.(KJV-1611) Luk 10:24 Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pa t' wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pa t' tande li.(Creole-HT) ======= Luke 10:25 ============ Luk 10:25 And, behold, a certain lawyer stood up, and tempted him, saying, Master, what shall I do to inherit eternal life?(KJV-1611) Luk 10:25 Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?(Creole-HT) ======= Luke 10:26 ============ Luk 10:26 He said unto him, What is written in the law? how readest thou?(KJV-1611) Luk 10:26 Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?(Creole-HT) ======= Luke 10:27 ============ Luk 10:27 And he answering said, Thou shalt love the Lord thy God with all thy heart, and with all thy soul, and with all thy strength, and with all thy mind; and thy neighbour as thyself.(KJV-1611) Luk 10:27 Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Luke 10:28 ============ Luk 10:28 And he said unto him, Thou hast answered right: this do, and thou shalt live.(KJV-1611) Luk 10:28 Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.(Creole-HT) ======= Luke 10:29 ============ Luk 10:29 But he, willing to justify himself, said unto Jesus, And who is my neighbour?(KJV-1611) Luk 10:29 Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen?(Creole-HT) ======= Luke 10:30 ============ Luk 10:30 And Jesus answering said, A certain man went down from Jerusalem to Jericho, and fell among thieves, which stripped him of his raiment, and wounded him, and departed, leaving him half dead.(KJV-1611) Luk 10:30 Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka mò.(Creole-HT) ======= Luke 10:31 ============ Luk 10:31 And by chance there came down a certain priest that way: and when he saw him, he passed by on the other side.(KJV-1611) Luk 10:31 Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.(Creole-HT) ======= Luke 10:32 ============ Luk 10:32 And likewise a Levite, when he was at the place, came and looked on him, and passed by on the other side.(KJV-1611) Luk 10:32 Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.(Creole-HT) ======= Luke 10:33 ============ Luk 10:33 But a certain Samaritan, as he journeyed, came where he was: and when he saw him, he had compassion on him,(KJV-1611) Luk 10:33 Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan.(Creole-HT) ======= Luke 10:34 ============ Luk 10:34 And went to him, and bound up his wounds, pouring in oil and wine, and set him on his own beast, and brought him to an inn, and took care of him.(KJV-1611) Luk 10:34 Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li.(Creole-HT) ======= Luke 10:35 ============ Luk 10:35 And on the morrow when he departed, he took out two pence, and gave them to the host, and said unto him, Take care of him; and whatsoever thou spendest more, when I come again, I will repay thee.(KJV-1611) Luk 10:35 Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.(Creole-HT) ======= Luke 10:36 ============ Luk 10:36 Which now of these three, thinkest thou, was neighbour unto him that fell among the thieves?(KJV-1611) Luk 10:36 Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo?(Creole-HT) ======= Luke 10:37 ============ Luk 10:37 And he said, He that shewed mercy on him. Then said Jesus unto him, Go, and do thou likewise.(KJV-1611) Luk 10:37 Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= Luke 10:38 ============ Luk 10:38 Now it came to pass, as they went, that he entered into a certain village: and a certain woman named Martha received him into her house.(KJV-1611) Luk 10:38 Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l' lakay li.(Creole-HT) ======= Luke 10:39 ============ Luk 10:39 And she had a sister called Mary, which also sat at Jesus' feet, and heard his word.(KJV-1611) Luk 10:39 Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.(Creole-HT) ======= Luke 10:40 ============ Luk 10:40 But Martha was cumbered about much serving, and came to him, and said, Lord, dost thou not care that my sister hath left me to serve alone? bid her therefore that she help me.(KJV-1611) Luk 10:40 Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non.(Creole-HT) ======= Luke 10:41 ============ Luk 10:41 And Jesus answered and said unto her, Martha, Martha, thou art careful and troubled about many things:(KJV-1611) Luk 10:41 Jezi reponn li: Mat, Mat. W'ap trakase tèt ou, w'ap bat kò ou pou yon bann bagay.(Creole-HT) ======= Luke 10:42 ============ Luk 10:42 But one thing is needful: and Mary hath chosen that good part, which shall not be taken away from her.(KJV-1611) Luk 10:42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p'ap janm wete l' nan men li.(Creole-HT) ======= Luke 11:1 ============ Luk 11:1 And it came to pass, that, as he was praying in a certain place, when he ceased, one of his disciples said unto him, Lord, teach us to pray, as John also taught his disciples.(KJV-1611) Luk 11:1 Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l' fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:2 ============ Luk 11:2 And he said unto them, When ye pray, say, Our Father which art in heaven, Hallowed be thy name. Thy kingdom come. Thy will be done, as in heaven, so in earth.(KJV-1611) Luk 11:2 Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan.(Creole-HT) ======= Luke 11:3 ============ Luk 11:3 Give us day by day our daily bread.(KJV-1611) Luk 11:3 Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an.(Creole-HT) ======= Luke 11:4 ============ Luk 11:4 And forgive us our sins; for we also forgive every one that is indebted to us. And lead us not into temptation; but deliver us from evil.(KJV-1611) Luk 11:4 Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.(Creole-HT) ======= Luke 11:5 ============ Luk 11:5 And he said unto them, Which of you shall have a friend, and shall go unto him at midnight, and say unto him, Friend, lend me three loaves;(KJV-1611) Luk 11:5 Jezi di yo ankò: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit.(Creole-HT) ======= Luke 11:6 ============ Luk 11:6 For a friend of mine in his journey is come to me, and I have nothing to set before him?(KJV-1611) Luk 11:6 Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li.(Creole-HT) ======= Luke 11:7 ============ Luk 11:7 And he from within shall answer and say, Trouble me not: the door is now shut, and my children are with me in bed; I cannot rise and give thee.(KJV-1611) Luk 11:7 Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pòt la gen tan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:8 ============ Luk 11:8 I say unto you, Though he will not rise and give him, because he is his friend, yet because of his importunity he will rise and give him as many as he needeth.(KJV-1611) Luk 11:8 M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li.(Creole-HT) ======= Luke 11:9 ============ Luk 11:9 And I say unto you, Ask, and it shall be given you; seek, and ye shall find; knock, and it shall be opened unto you.(KJV-1611) Luk 11:9 Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou.(Creole-HT) ======= Luke 11:10 ============ Luk 11:10 For every one that asketh receiveth; and he that seeketh findeth; and to him that knocketh it shall be opened.(KJV-1611) Luk 11:10 Paske, nenpòt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape.(Creole-HT) ======= Luke 11:11 ============ Luk 11:11 If a son shall ask bread of any of you that is a father, will he give him a stone? or if he ask a fish, will he for a fish give him a serpent?(KJV-1611) Luk 11:11 Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason?(Creole-HT) ======= Luke 11:12 ============ Luk 11:12 Or if he shall ask an egg, will he offer him a scorpion?(KJV-1611) Luk 11:12 Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze?(Creole-HT) ======= Luke 11:13 ============ Luk 11:13 If ye then, being evil, know how to give good gifts unto your children: how much more shall your heavenly Father give the Holy Spirit to them that ask him?(KJV-1611) Luk 11:13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.(Creole-HT) ======= Luke 11:14 ============ Luk 11:14 And he was casting out a devil, and it was dumb. And it came to pass, when the devil was gone out, the dumb spake; and the people wondered.(KJV-1611) Luk 11:14 Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch.(Creole-HT) ======= Luke 11:15 ============ Luk 11:15 But some of them said, He casteth out devils through Beelzebub the chief of the devils.(KJV-1611) Luk 11:15 Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:16 ============ Luk 11:16 And others, tempting him, sought of him a sign from heaven.(KJV-1611) Luk 11:16 Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Luke 11:17 ============ Luk 11:17 But he, knowing their thoughts, said unto them, Every kingdom divided against itself is brought to desolation; and a house divided against a house falleth.(KJV-1611) Luk 11:17 Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt.(Creole-HT) ======= Luke 11:18 ============ Luk 11:18 If Satan also be divided against himself, how shall his kingdom stand? because ye say that I cast out devils through Beelzebub.(KJV-1611) Luk 11:18 Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:19 ============ Luk 11:19 And if I by Beelzebub cast out devils, by whom do your sons cast them out? therefore shall they be your judges.(KJV-1611) Luk 11:19 Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò.(Creole-HT) ======= Luke 11:20 ============ Luk 11:20 But if I with the finger of God cast out devils, no doubt the kingdom of God is come upon you.(KJV-1611) Luk 11:20 Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou.(Creole-HT) ======= Luke 11:21 ============ Luk 11:21 When a strong man armed keepeth his palace, his goods are in peace:(KJV-1611) Luk 11:21 Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.(Creole-HT) ======= Luke 11:22 ============ Luk 11:22 But when a stronger than he shall come upon him, and overcome him, he taketh from him all his armour wherein he trusted, and divideth his spoils.(KJV-1611) Luk 11:22 Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt.(Creole-HT) ======= Luke 11:23 ============ Luk 11:23 He that is not with me is against me: and he that gathereth not with me scattereth.(KJV-1611) Luk 11:23 Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.(Creole-HT) ======= Luke 11:24 ============ Luk 11:24 When the unclean spirit is gone out of a man, he walketh through dry places, seeking rest; and finding none, he saith, I will return unto my house whence I came out.(KJV-1611) Luk 11:24 Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a.(Creole-HT) ======= Luke 11:25 ============ Luk 11:25 And when he cometh, he findeth it swept and garnished.(KJV-1611) Luk 11:25 Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje.(Creole-HT) ======= Luke 11:26 ============ Luk 11:26 Then goeth he, and taketh to him seven other spirits more wicked than himself; and they enter in, and dwell there: and the last state of that man is worse than the first.(KJV-1611) Luk 11:26 Lè sa a, li al chache sèt lòt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an.(Creole-HT) ======= Luke 11:27 ============ Luk 11:27 And it came to pass, as he spake these things, a certain woman of the company lifted up her voice, and said unto him, Blessed is the womb that bare thee, and the paps which thou hast sucked.(KJV-1611) Luk 11:27 Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!(Creole-HT) ======= Luke 11:28 ============ Luk 11:28 But he said, Yea rather, blessed are they that hear the word of God, and keep it.(KJV-1611) Luk 11:28 Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.(Creole-HT) ======= Luke 11:29 ============ Luk 11:29 And when the people were gathered thick together, he began to say, This is an evil generation: they seek a sign; and there shall no sign be given it, but the sign of Jonas the prophet.(KJV-1611) Luk 11:29 Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.(Creole-HT) ======= Luke 11:30 ============ Luk 11:30 For as Jonas was a sign unto the Ninevites, so shall also the Son of man be to this generation.(KJV-1611) Luk 11:30 Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:31 ============ Luk 11:31 The queen of the south shall rise up in the judgment with the men of this generation, and condemn them: for she came from the utmost parts of the earth to hear the wisdom of Solomon; and, behold, a greater than Solomon is here.(KJV-1611) Luk 11:31 Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon.(Creole-HT) ======= Luke 11:32 ============ Luk 11:32 The men of Nineve shall rise up in the judgment with this generation, and shall condemn it: for they repented at the preaching of Jonas; and, behold, a greater than Jonas is here.(KJV-1611) Luk 11:32 Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.(Creole-HT) ======= Luke 11:33 ============ Luk 11:33 No man, when he hath lighted a candle, putteth it in a secret place, neither under a bushel, but on a candlestick, that they which come in may see the light.(KJV-1611) Luk 11:33 Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lè l' fin limen li. Okontrè, l'ap mete l' sou yon etajè pou tout moun k'ap antre ka wè limyè a.(Creole-HT) ======= Luke 11:34 ============ Luk 11:34 The light of the body is the eye: therefore when thine eye is single, thy whole body also is full of light; but when thine eye is evil, thy body also is full of darkness.(KJV-1611) Luk 11:34 Je ou se tankou yon lanp yo ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou an move eta, tout kò ou nan fènwa.(Creole-HT) ======= Luke 11:35 ============ Luk 11:35 Take heed therefore that the light which is in thee be not darkness.(KJV-1611) Luk 11:35 Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.(Creole-HT) ======= Luke 11:36 ============ Luk 11:36 If thy whole body therefore be full of light, having no part dark, the whole shall be full of light, as when the bright shining of a candle doth give thee light.(KJV-1611) Luk 11:36 Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.(Creole-HT) ======= Luke 11:37 ============ Luk 11:37 And as he spake, a certain Pharisee besought him to dine with him: and he went in, and sat down to meat.(KJV-1611) Luk 11:37 Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la.(Creole-HT) ======= Luke 11:38 ============ Luk 11:38 And when the Pharisee saw it, he marvelled that he had not first washed before dinner.(KJV-1611) Luk 11:38 Farizyen an te sezi lè l' wè Jezi pa t' lave men l' anvan l' manje.(Creole-HT) ======= Luke 11:39 ============ Luk 11:39 And the Lord said unto him, Now do ye Pharisees make clean the outside of the cup and the platter; but your inward part is full of ravening and wickedness.(KJV-1611) Luk 11:39 Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen.(Creole-HT) ======= Luke 11:40 ============ Luk 11:40 Ye fools, did not he that made that which is without make that which is within also?(KJV-1611) Luk 11:40 Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou.(Creole-HT) ======= Luke 11:41 ============ Luk 11:41 But rather give alms of such things as ye have; and, behold, all things are clean unto you.(KJV-1611) Luk 11:41 Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 11:42 ============ Luk 11:42 But woe unto you, Pharisees! for ye tithe mint and rue and all manner of herbs, and pass over judgment and the love of God: these ought ye to have done, and not to leave the other undone.(KJV-1611) Luk 11:42 Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou.(Creole-HT) ======= Luke 11:43 ============ Luk 11:43 Woe unto you, Pharisees! for ye love the uppermost seats in the synagogues, and greetings in the markets.(KJV-1611) Luk 11:43 Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik.(Creole-HT) ======= Luke 11:44 ============ Luk 11:44 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye are as graves which appear not, and the men that walk over them are not aware of them.(KJV-1611) Luk 11:44 Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen.(Creole-HT) ======= Luke 11:45 ============ Luk 11:45 Then answered one of the lawyers, and said unto him, Master, thus saying thou reproachest us also.(KJV-1611) Luk 11:45 Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi.(Creole-HT) ======= Luke 11:46 ============ Luk 11:46 And he said, Woe unto you also, ye lawyers! for ye lade men with burdens grievous to be borne, and ye yourselves touch not the burdens with one of your fingers.(KJV-1611) Luk 11:46 Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou.(Creole-HT) ======= Luke 11:47 ============ Luk 11:47 Woe unto you! for ye build the sepulchres of the prophets, and your fathers killed them.(KJV-1611) Luk 11:47 Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye.(Creole-HT) ======= Luke 11:48 ============ Luk 11:48 Truly ye bear witness that ye allow the deeds of your fathers: for they indeed killed them, and ye build their sepulchres.(KJV-1611) Luk 11:48 Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:49 ============ Luk 11:49 Therefore also said the wisdom of God, I will send them prophets and apostles, and some of them they shall slay and persecute:(KJV-1611) Luk 11:49 Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:50 ============ Luk 11:50 That the blood of all the prophets, which was shed from the foundation of the world, may be required of this generation;(KJV-1611) Luk 11:50 Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè;(Creole-HT) ======= Luke 11:51 ============ Luk 11:51 From the blood of Abel unto the blood of Zacharias which perished between the altar and the temple: verily I say unto you, It shall be required of this generation.(KJV-1611) Luk 11:51 wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 11:52 ============ Luk 11:52 Woe unto you, lawyers! for ye have taken away the key of knowledge: ye entered not in yourselves, and them that were entering in ye hindered.(KJV-1611) Luk 11:52 Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.(Creole-HT) ======= Luke 11:53 ============ Luk 11:53 And as he said these things unto them, the scribes and the Pharisees began to urge him vehemently, and to provoke him to speak of many things:(KJV-1611) Luk 11:53 Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.(Creole-HT) ======= Luke 11:54 ============ Luk 11:54 Laying wait for him, and seeking to catch something out of his mouth, that they might accuse him.(KJV-1611) Luk 11:54 Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.(Creole-HT) ======= Luke 12:1 ============ Luk 12:1 In the mean time, when there were gathered together an innumerable multitude of people, insomuch that they trode one upon another, he began to say unto his disciples first of all, Beware ye of the leaven of the Pharisees, which is hypocrisy.(KJV-1611) Luk 12:1 Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.(Creole-HT) ======= Luke 12:2 ============ Luk 12:2 For there is nothing covered, that shall not be revealed; neither hid, that shall not be known.(KJV-1611) Luk 12:2 Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale.(Creole-HT) ======= Luke 12:3 ============ Luk 12:3 Therefore whatsoever ye have spoken in darkness shall be heard in the light; and that which ye have spoken in the ear in closets shall be proclaimed upon the housetops.(KJV-1611) Luk 12:3 Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l' gwo lajounen; tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l' nan tout kalfou.(Creole-HT) ======= Luke 12:4 ============ Luk 12:4 And I say unto you my friends, Be not afraid of them that kill the body, and after that have no more that they can do.(KJV-1611) Luk 12:4 Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa.(Creole-HT) ======= Luke 12:5 ============ Luk 12:5 But I will forewarn you whom ye shall fear: Fear him, which after he hath killed hath power to cast into hell; yea, I say unto you, Fear him.(KJV-1611) Luk 12:5 M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.(Creole-HT) ======= Luke 12:6 ============ Luk 12:6 Are not five sparrows sold for two farthings, and not one of them is forgotten before God?(KJV-1611) Luk 12:6 Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:7 ============ Luk 12:7 But even the very hairs of your head are all numbered. Fear not therefore: ye are of more value than many sparrows.(KJV-1611) Luk 12:7 Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo.(Creole-HT) ======= Luke 12:8 ============ Luk 12:8 Also I say unto you, Whosoever shall confess me before men, him shall the Son of man also confess before the angels of God:(KJV-1611) Luk 12:8 M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:9 ============ Luk 12:9 But he that denieth me before men shall be denied before the angels of God.(KJV-1611) Luk 12:9 Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'.(Creole-HT) ======= Luke 12:10 ============ Luk 12:10 And whosoever shall speak a word against the Son of man, it shall be forgiven him: but unto him that blasphemeth against the Holy Ghost it shall not be forgiven.(KJV-1611) Luk 12:10 Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa.(Creole-HT) ======= Luke 12:11 ============ Luk 12:11 And when they bring you unto the synagogues, and unto magistrates, and powers, take ye no thought how or what thing ye shall answer, or what ye shall say:(KJV-1611) Luk 12:11 Lè y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n' chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n' di.(Creole-HT) ======= Luke 12:12 ============ Luk 12:12 For the Holy Ghost shall teach you in the same hour what ye ought to say.(KJV-1611) Luk 12:12 Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a.(Creole-HT) ======= Luke 12:13 ============ Luk 12:13 And one of the company said unto him, Master, speak to my brother, that he divide the inheritance with me.(KJV-1611) Luk 12:13 Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen.(Creole-HT) ======= Luke 12:14 ============ Luk 12:14 And he said unto him, Man, who made me a judge or a divider over you?(KJV-1611) Luk 12:14 Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou?(Creole-HT) ======= Luke 12:15 ============ Luk 12:15 And he said unto them, Take heed, and beware of covetousness: for a man's life consisteth not in the abundance of the things which he possesseth.(KJV-1611) Luk 12:15 Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.(Creole-HT) ======= Luke 12:16 ============ Luk 12:16 And he spake a parable unto them, saying, The ground of a certain rich man brought forth plentifully:(KJV-1611) Luk 12:16 Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l' anpil.(Creole-HT) ======= Luke 12:17 ============ Luk 12:17 And he thought within himself, saying, What shall I do, because I have no room where to bestow my fruits?(KJV-1611) Luk 12:17 Li t'ap di nan kè li: Kisa pou m' fè? Mwen pa gen plas pou m' sere rekòt mwen yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:18 ============ Luk 12:18 And he said, This will I do: I will pull down my barns, and build greater; and there will I bestow all my fruits and my goods.(KJV-1611) Luk 12:18 Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:19 ============ Luk 12:19 And I will say to my soul, Soul, thou hast much goods laid up for many years; take thine ease, eat, drink, and be merry.(KJV-1611) Luk 12:19 Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.(Creole-HT) ======= Luke 12:20 ============ Luk 12:20 But God said unto him, Thou fool, this night thy soul shall be required of thee: then whose shall those things be, which thou hast provided?(KJV-1611) Luk 12:20 Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye?(Creole-HT) ======= Luke 12:21 ============ Luk 12:21 So is he that layeth up treasure for himself, and is not rich toward God.(KJV-1611) Luk 12:21 Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 12:22 ============ Luk 12:22 And he said unto his disciples, Therefore I say unto you, Take no thought for your life, what ye shall eat; neither for the body, what ye shall put on.(KJV-1611) Luk 12:22 Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou.(Creole-HT) ======= Luke 12:23 ============ Luk 12:23 The life is more than meat, and the body is more than raiment.(KJV-1611) Luk 12:23 Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.(Creole-HT) ======= Luke 12:24 ============ Luk 12:24 Consider the ravens: for they neither sow nor reap; which neither have storehouse nor barn; and God feedeth them: how much more are ye better than the fowls?(KJV-1611) Luk 12:24 Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre?(Creole-HT) ======= Luke 12:25 ============ Luk 12:25 And which of you with taking thought can add to his stature one cubit?(KJV-1611) Luk 12:25 Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay?(Creole-HT) ======= Luke 12:26 ============ Luk 12:26 If ye then be not able to do that thing which is least, why take ye thought for the rest?(KJV-1611) Luk 12:26 Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?(Creole-HT) ======= Luke 12:27 ============ Luk 12:27 Consider the lilies how they grow: they toil not, they spin not; and yet I say unto you, that Solomon in all his glory was not arrayed like one of these.(KJV-1611) Luk 12:27 Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:28 ============ Luk 12:28 If then God so clothe the grass, which is to day in the field, and to morrow is cast into the oven; how much more will he clothe you, O ye of little faith?(KJV-1611) Luk 12:28 Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!(Creole-HT) ======= Luke 12:29 ============ Luk 12:29 And seek not ye what ye shall eat, or what ye shall drink, neither be ye of doubtful mind.(KJV-1611) Luk 12:29 Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.(Creole-HT) ======= Luke 12:30 ============ Luk 12:30 For all these things do the nations of the world seek after: and your Father knoweth that ye have need of these things.(KJV-1611) Luk 12:30 Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:31 ============ Luk 12:31 But rather seek ye the kingdom of God; and all these things shall be added unto you.(KJV-1611) Luk 12:31 Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen.(Creole-HT) ======= Luke 12:32 ============ Luk 12:32 Fear not, little flock; for it is your Father's good pleasure to give you the kingdom.(KJV-1611) Luk 12:32 Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 12:33 ============ Luk 12:33 Sell that ye have, and give alms; provide yourselves bags which wax not old, a treasure in the heavens that faileth not, where no thief approacheth, neither moth corrupteth.(KJV-1611) Luk 12:33 Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.(Creole-HT) ======= Luke 12:34 ============ Luk 12:34 For where your treasure is, there will your heart be also.(KJV-1611) Luk 12:34 Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.(Creole-HT) ======= Luke 12:35 ============ Luk 12:35 Let your loins be girded about, and your lights burning;(KJV-1611) Luk 12:35 Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen,(Creole-HT) ======= Luke 12:36 ============ Luk 12:36 And ye yourselves like unto men that wait for their lord, when he will return from the wedding; that when he cometh and knocketh, they may open unto him immediately.(KJV-1611) Luk 12:36 tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li.(Creole-HT) ======= Luke 12:37 ============ Luk 12:37 Blessed are those servants, whom the lord when he cometh shall find watching: verily I say unto you, that he shall gird himself, and make them to sit down to meat, and will come forth and serve them.(KJV-1611) Luk 12:37 L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:38 ============ Luk 12:38 And if he shall come in the second watch, or come in the third watch, and find them so, blessed are those servants.(KJV-1611) Luk 12:38 Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l' jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou.(Creole-HT) ======= Luke 12:39 ============ Luk 12:39 And this know, that if the goodman of the house had known what hour the thief would come, he would have watched, and not have suffered his house to be broken through.(KJV-1611) Luk 12:39 Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.(Creole-HT) ======= Luke 12:40 ============ Luk 12:40 Be ye therefore ready also: for the Son of man cometh at an hour when ye think not.(KJV-1611) Luk 12:40 Nou menm tou, se pou n' toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè!(Creole-HT) ======= Luke 12:41 ============ Luk 12:41 Then Peter said unto him, Lord, speakest thou this parable unto us, or even to all?(KJV-1611) Luk 12:41 Lè sa a Pyè di li: Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li?(Creole-HT) ======= Luke 12:42 ============ Luk 12:42 And the Lord said, Who then is that faithful and wise steward, whom his lord shall make ruler over his household, to give them their portion of meat in due season?(KJV-1611) Luk 12:42 Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.(Creole-HT) ======= Luke 12:43 ============ Luk 12:43 Blessed is that servant, whom his lord when he cometh shall find so doing.(KJV-1611) Luk 12:43 Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la.(Creole-HT) ======= Luke 12:44 ============ Luk 12:44 Of a truth I say unto you, that he will make him ruler over all that he hath.(KJV-1611) Luk 12:44 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:45 ============ Luk 12:45 But and if that servant say in his heart, My lord delayeth his coming; and shall begin to beat the menservants and maidens, and to eat and drink, and to be drunken;(KJV-1611) Luk 12:45 Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou;(Creole-HT) ======= Luke 12:46 ============ Luk 12:46 The lord of that servant will come in a day when he looketh not for him, and at an hour when he is not aware, and will cut him in sunder, and will appoint him his portion with the unbelievers.(KJV-1611) Luk 12:46 mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo.(Creole-HT) ======= Luke 12:47 ============ Luk 12:47 And that servant, which knew his lord's will, and prepared not himself, neither did according to his will, shall be beaten with many stripes.(KJV-1611) Luk 12:47 Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.(Creole-HT) ======= Luke 12:48 ============ Luk 12:48 But he that knew not, and did commit things worthy of stripes, shall be beaten with few stripes. For unto whomsoever much is given, of him shall be much required: and to whom men have committed much, of him they will ask the more.(KJV-1611) Luk 12:48 Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.(Creole-HT) ======= Luke 12:49 ============ Luk 12:49 I am come to send fire on the earth; and what will I, if it be already kindled?(KJV-1611) Luk 12:49 Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja!(Creole-HT) ======= Luke 12:50 ============ Luk 12:50 But I have a baptism to be baptized with; and how am I straitened till it be accomplished!(KJV-1611) Luk 12:50 Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive.(Creole-HT) ======= Luke 12:51 ============ Luk 12:51 Suppose ye that I am come to give peace on earth? I tell you, Nay; but rather division:(KJV-1611) Luk 12:51 Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon.(Creole-HT) ======= Luke 12:52 ============ Luk 12:52 For from henceforth there shall be five in one house divided, three against two, and two against three.(KJV-1611) Luk 12:52 Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa.(Creole-HT) ======= Luke 12:53 ============ Luk 12:53 The father shall be divided against the son, and the son against the father; the mother against the daughter, and the daughter against the mother; the mother in law against her daughter in law, and the daughter in law against her mother in law.(KJV-1611) Luk 12:53 Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè.(Creole-HT) ======= Luke 12:54 ============ Luk 12:54 And he said also to the people, When ye see a cloud rise out of the west, straightway ye say, There cometh a shower; and so it is.(KJV-1611) Luk 12:54 Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre.(Creole-HT) ======= Luke 12:55 ============ Luk 12:55 And when ye see the south wind blow, ye say, There will be heat; and it cometh to pass.(KJV-1611) Luk 12:55 Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre.(Creole-HT) ======= Luke 12:56 ============ Luk 12:56 Ye hypocrites, ye can discern the face of the sky and of the earth; but how is it that ye do not discern this time?(KJV-1611) Luk 12:56 Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a?(Creole-HT) ======= Luke 12:57 ============ Luk 12:57 Yea, and why even of yourselves judge ye not what is right?(KJV-1611) Luk 12:57 Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat?(Creole-HT) ======= Luke 12:58 ============ Luk 12:58 When thou goest with thine adversary to the magistrate, as thou art in the way, give diligence that thou mayest be delivered from him; lest he hale thee to the judge, and the judge deliver thee to the officer, and the officer cast thee into prison.(KJV-1611) Luk 12:58 Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon.(Creole-HT) ======= Luke 12:59 ============ Luk 12:59 I tell thee, thou shalt not depart thence, till thou hast paid the very last mite.(KJV-1611) Luk 12:59 M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.(Creole-HT) ======= Luke 13:1 ============ Luk 13:1 There were present at that season some that told him of the Galilaeans, whose blood Pilate had mingled with their sacrifices.(KJV-1611) Luk 13:1 Lè sa a, yo vin rakonte Jezi ki jan, pandan yon sèvis yo t'ap fè, Pilat te fè touye kèk moun peyi Galile a, epi li fè melanje san yo ak san bèt yo t'ap ofri bay Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 13:2 ============ Luk 13:2 And Jesus answering said unto them, Suppose ye that these Galilaeans were sinners above all the Galilaeans, because they suffered such things?(KJV-1611) Luk 13:2 Jezi reponn yo: Gen lè nou kwè se paske moun sa yo te fè pi gwo peche pase lòt moun Galile yo kifè yo te masakre yo konsa?(Creole-HT) ======= Luke 13:3 ============ Luk 13:3 I tell you, Nay: but, except ye repent, ye shall all likewise perish.(KJV-1611) Luk 13:3 Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.(Creole-HT) ======= Luke 13:4 ============ Luk 13:4 Or those eighteen, upon whom the tower in Siloam fell, and slew them, think ye that they were sinners above all men that dwelt in Jerusalem?(KJV-1611) Luk 13:4 Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?(Creole-HT) ======= Luke 13:5 ============ Luk 13:5 I tell you, Nay: but, except ye repent, ye shall all likewise perish.(KJV-1611) Luk 13:5 Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.(Creole-HT) ======= Luke 13:6 ============ Luk 13:6 He spake also this parable; A certain man had a fig tree planted in his vineyard; and he came and sought fruit thereon, and found none.(KJV-1611) Luk 13:6 Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l', men li pa jwenn.(Creole-HT) ======= Luke 13:7 ============ Luk 13:7 Then said he unto the dresser of his vineyard, Behold, these three years I come seeking fruit on this fig tree, and find none: cut it down; why cumbereth it the ground?(KJV-1611) Luk 13:7 Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l' pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi?(Creole-HT) ======= Luke 13:8 ============ Luk 13:8 And he answering said unto him, Lord, let it alone this year also, till I shall dig about it, and dung it:(KJV-1611) Luk 13:8 Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l' fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l', m'ap mete fimye ladan li.(Creole-HT) ======= Luke 13:9 ============ Luk 13:9 And if it bear fruit, well: and if not, then after that thou shalt cut it down.(KJV-1611) Luk 13:9 Konsa, li ka donnen. Si l' pa donnen, wa fè koupe l' lòt lanne.(Creole-HT) ======= Luke 13:10 ============ Luk 13:10 And he was teaching in one of the synagogues on the sabbath.(KJV-1611) Luk 13:10 Yon jou repo, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yon sinagòg.(Creole-HT) ======= Luke 13:11 ============ Luk 13:11 And, behold, there was a woman which had a spirit of infirmity eighteen years, and was bowed together, and could in no wise lift up herself.(KJV-1611) Luk 13:11 Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' rete kokobe; li pa t' kapab kanpe dwat menm.(Creole-HT) ======= Luke 13:12 ============ Luk 13:12 And when Jesus saw her, he called her to him, and said unto her, Woman, thou art loosed from thine infirmity.(KJV-1611) Luk 13:12 Lè Jezi wè l', li rele l', li di li: Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande.(Creole-HT) ======= Luke 13:13 ============ Luk 13:13 And he laid his hands on her: and immediately she was made straight, and glorified God.(KJV-1611) Luk 13:13 Jezi lonje men l' sou li. Latou fanm lan kanpe dwat, li pran fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 13:14 ============ Luk 13:14 And the ruler of the synagogue answered with indignation, because that Jesus had healed on the sabbath day, and said unto the people, There are six days in which men ought to work: in them therefore come and be healed, and not on the sabbath day.(KJV-1611) Luk 13:14 Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.(Creole-HT) ======= Luke 13:15 ============ Luk 13:15 The Lord then answered him, and said, Thou hypocrite, doth not each one of you on the sabbath loose his ox or his ass from the stall, and lead him away to watering?(KJV-1611) Luk 13:15 Jezi reponn li: Ala ou ipokrit! Jou repo a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou nan kay kote nou gade yo a, nou mennen yo al bwè dlo, pa vre?(Creole-HT) ======= Luke 13:16 ============ Luk 13:16 And ought not this woman, being a daughter of Abraham, whom Satan hath bound, lo, these eighteen years, be loosed from this bond on the sabbath day?(KJV-1611) Luk 13:16 Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l' anba yon maladi, mwen pa t' dwe delivre l' yon jou repo?(Creole-HT) ======= Luke 13:17 ============ Luk 13:17 And when he had said these things, all his adversaries were ashamed: and all the people rejoiced for all the glorious things that were done by him.(KJV-1611) Luk 13:17 Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pa t' vle wè l' yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.(Creole-HT) ======= Luke 13:18 ============ Luk 13:18 Then said he, Unto what is the kingdom of God like? and whereunto shall I resemble it?(KJV-1611) Luk 13:18 Jezi di yo: Ak ki bagay peyi kote Bondye Wa a sanble? Kisa m' ta di l' sanble ankò?(Creole-HT) ======= Luke 13:19 ============ Luk 13:19 It is like a grain of mustard seed, which a man took, and cast into his garden; and it grew, and waxed a great tree; and the fowls of the air lodged in the branches of it.(KJV-1611) Luk 13:19 Li tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou li al simen nan jaden li. Li pouse, li vin yon pyebwa. Se konsa zwezo nan syèl la fè nich nan branch li yo.(Creole-HT) ======= Luke 13:20 ============ Luk 13:20 And again he said, Whereunto shall I liken the kingdom of God?(KJV-1611) Luk 13:20 Jezi di yo ankò: Ak kisa pou m' konpare peyi kote Bondye Wa a?(Creole-HT) ======= Luke 13:21 ============ Luk 13:21 It is like leaven, which a woman took and hid in three measures of meal, till the whole was leavened.(KJV-1611) Luk 13:21 Li tankou ledven yon fanm pran li mete nan twa mezi farin pou fè tout pa t' la leve.(Creole-HT) ======= Luke 13:22 ============ Luk 13:22 And he went through the cities and villages, teaching, and journeying toward Jerusalem.(KJV-1611) Luk 13:22 Jezi t'ap moute lavil Jerizalèm, li t'ap pase nan anpil lavil ak anpil bouk. Sou tout wout la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= Luke 13:23 ============ Luk 13:23 Then said one unto him, Lord, are there few that be saved? And he said unto them,(KJV-1611) Luk 13:23 Yon moun mande li: Mèt, èske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo:(Creole-HT) ======= Luke 13:24 ============ Luk 13:24 Strive to enter in at the strait gate: for many, I say unto you, will seek to enter in, and shall not be able.(KJV-1611) Luk 13:24 Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.(Creole-HT) ======= Luke 13:25 ============ Luk 13:25 When once the master of the house is risen up, and hath shut to the door, and ye begin to stand without, and to knock at the door, saying, Lord, Lord, open unto us; and he shall answer and say unto you, I know you not whence ye are:(KJV-1611) Luk 13:25 Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti.(Creole-HT) ======= Luke 13:26 ============ Luk 13:26 Then shall ye begin to say, We have eaten and drunk in thy presence, and thou hast taught in our streets.(KJV-1611) Luk 13:26 Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou.(Creole-HT) ======= Luke 13:27 ============ Luk 13:27 But he shall say, I tell you, I know you not whence ye are; depart from me, all ye workers of iniquity.(KJV-1611) Luk 13:27 Men, la reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou soti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Luke 13:28 ============ Luk 13:28 There shall be weeping and gnashing of teeth, when ye shall see Abraham, and Isaac, and Jacob, and all the prophets, in the kingdom of God, and you yourselves thrust out.(KJV-1611) Luk 13:28 Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo.(Creole-HT) ======= Luke 13:29 ============ Luk 13:29 And they shall come from the east, and from the west, and from the north, and from the south, and shall sit down in the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 13:29 Moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a soti nan nò ak nan sid, y'a chita sou tab nan bèl peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 13:30 ============ Luk 13:30 And, behold, there are last which shall be first, and there are first which shall be last.(KJV-1611) Luk 13:30 Lè sa a, nan moun ki dèyè nèt koulye a, genyen k'ap pase devan. Nan moun ki devan koulye a, genyen k'ap rete dèyè.(Creole-HT) ======= Luke 13:31 ============ Luk 13:31 The same day there came certain of the Pharisees, saying unto him, Get thee out, and depart hence: for Herod will kill thee.(KJV-1611) Luk 13:31 Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kot Jezi, yo di li: Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou.(Creole-HT) ======= Luke 13:32 ============ Luk 13:32 And he said unto them, Go ye, and tell that fox, Behold, I cast out devils, and I do cures to day and to morrow, and the third day I shall be perfected.(KJV-1611) Luk 13:32 Li reponn yo: Ale di chat mawon an: m'ap chase move lespri yo, m'ap geri moun malad jòdi a ak denmen, nan twa jou m'ap fin travay mwen.(Creole-HT) ======= Luke 13:33 ============ Luk 13:33 Nevertheless I must walk to day, and to morrow, and the day following: for it cannot be that a prophet perish out of Jerusalem.(KJV-1611) Luk 13:33 Men, fòk mwen kontinye mache jòdi a, denmen ak apre denmen tou, paske sa pa bon pou yo touye yon pwofèt lòt kote pase nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 13:34 ============ Luk 13:34 O Jerusalem, Jerusalem, which killest the prophets, and stonest them that are sent unto thee; how often would I have gathered thy children together, as a hen doth gather her brood under her wings, and ye would not!(KJV-1611) Luk 13:34 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pa t' vle!(Creole-HT) ======= Luke 13:35 ============ Luk 13:35 Behold, your house is left unto you desolate: and verily I say unto you, Ye shall not see me, until the time come when ye shall say, Blessed is he that cometh in the name of the Lord.(KJV-1611) Luk 13:35 Enben, kay ou yo va rete san moun. M'ap di ou sa: nou p'ap wè m' ankò, jouk lè a va rive pou nou di: benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.(Creole-HT) ======= Luke 14:1 ============ Luk 14:1 And it came to pass, as he went into the house of one of the chief Pharisees to eat bread on the sabbath day, that they watched him.(KJV-1611) Luk 14:1 Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.(Creole-HT) ======= Luke 14:2 ============ Luk 14:2 And, behold, there was a certain man before him which had the dropsy.(KJV-1611) Luk 14:2 Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 14:3 ============ Luk 14:3 And Jesus answering spake unto the lawyers and Pharisees, saying, Is it lawful to heal on the sabbath day?(KJV-1611) Luk 14:3 Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?(Creole-HT) ======= Luke 14:4 ============ Luk 14:4 And they held their peace. And he took him, and healed him, and let him go;(KJV-1611) Luk 14:4 Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale.(Creole-HT) ======= Luke 14:5 ============ Luk 14:5 And answered them, saying, Which of you shall have an ass or an ox fallen into a pit, and will not straightway pull him out on the sabbath day?(KJV-1611) Luk 14:5 Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a?(Creole-HT) ======= Luke 14:6 ============ Luk 14:6 And they could not answer him again to these things.(KJV-1611) Luk 14:6 Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa.(Creole-HT) ======= Luke 14:7 ============ Luk 14:7 And he put forth a parable to those which were bidden, when he marked how they chose out the chief rooms; saying unto them.(KJV-1611) Luk 14:7 Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di:(Creole-HT) ======= Luke 14:8 ============ Luk 14:8 When thou art bidden of any man to a wedding, sit not down in the highest room; lest a more honourable man than thou be bidden of him;(KJV-1611) Luk 14:8 Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou,(Creole-HT) ======= Luke 14:9 ============ Luk 14:9 And he that bade thee and him come and say to thee, Give this man place; and thou begin with shame to take the lowest room.(KJV-1611) Luk 14:9 moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè.(Creole-HT) ======= Luke 14:10 ============ Luk 14:10 But when thou art bidden, go and sit down in the lowest room; that when he that bade thee cometh, he may say unto thee, Friend, go up higher: then shalt thou have worship in the presence of them that sit at meat with thee.(KJV-1611) Luk 14:10 Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo.(Creole-HT) ======= Luke 14:11 ============ Luk 14:11 For whosoever exalteth himself shall be abased; and he that humbleth himself shall be exalted.(KJV-1611) Luk 14:11 Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.(Creole-HT) ======= Luke 14:12 ============ Luk 14:12 Then said he also to him that bade him, When thou makest a dinner or a supper, call not thy friends, nor thy brethren, neither thy kinsmen, nor thy rich neighbours; lest they also bid thee again, and a recompence be made thee.(KJV-1611) Luk 14:12 Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.(Creole-HT) ======= Luke 14:13 ============ Luk 14:13 But when thou makest a feast, call the poor, the maimed, the lame, the blind:(KJV-1611) Luk 14:13 Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.(Creole-HT) ======= Luke 14:14 ============ Luk 14:14 And thou shalt be blessed; for they cannot recompense thee: for thou shalt be recompensed at the resurrection of the just.(KJV-1611) Luk 14:14 Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 14:15 ============ Luk 14:15 And when one of them that sat at meat with him heard these things, he said unto him, Blessed is he that shall eat bread in the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 14:15 Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 14:16 ============ Luk 14:16 Then said he unto him, A certain man made a great supper, and bade many:(KJV-1611) Luk 14:16 Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun.(Creole-HT) ======= Luke 14:17 ============ Luk 14:17 And sent his servant at supper time to say to them that were bidden, Come; for all things are now ready.(KJV-1611) Luk 14:17 Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a.(Creole-HT) ======= Luke 14:18 ============ Luk 14:18 And they all with one consent began to make excuse. The first said unto him, I have bought a piece of ground, and I must needs go and see it: I pray thee have me excused.(KJV-1611) Luk 14:18 Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen.(Creole-HT) ======= Luke 14:19 ============ Luk 14:19 And another said, I have bought five yoke of oxen, and I go to prove them: I pray thee have me excused.(KJV-1611) Luk 14:19 Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen.(Creole-HT) ======= Luke 14:20 ============ Luk 14:20 And another said, I have married a wife, and therefore I cannot come.(KJV-1611) Luk 14:20 Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale.(Creole-HT) ======= Luke 14:21 ============ Luk 14:21 So that servant came, and shewed his lord these things. Then the master of the house being angry said to his servant, Go out quickly into the streets and lanes of the city, and bring in hither the poor, and the maimed, and the halt, and the blind.(KJV-1611) Luk 14:21 Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo.(Creole-HT) ======= Luke 14:22 ============ Luk 14:22 And the servant said, Lord, it is done as thou hast commanded, and yet there is room.(KJV-1611) Luk 14:22 Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou.(Creole-HT) ======= Luke 14:23 ============ Luk 14:23 And the lord said unto the servant, Go out into the highways and hedges, and compel them to come in, that my house may be filled.(KJV-1611) Luk 14:23 Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen.(Creole-HT) ======= Luke 14:24 ============ Luk 14:24 For I say unto you, That none of those men which were bidden shall taste of my supper.(KJV-1611) Luk 14:24 Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan.(Creole-HT) ======= Luke 14:25 ============ Luk 14:25 And there went great multitudes with him: and he turned, and said unto them,(KJV-1611) Luk 14:25 Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo:(Creole-HT) ======= Luke 14:26 ============ Luk 14:26 If any man come to me, and hate not his father, and mother, and wife, and children, and brethren, and sisters, yea, and his own life also, he cannot be my disciple.(KJV-1611) Luk 14:26 Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen.(Creole-HT) ======= Luke 14:27 ============ Luk 14:27 And whosoever doth not bear his cross, and come after me, cannot be my disciple.(KJV-1611) Luk 14:27 Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis.(Creole-HT) ======= Luke 14:28 ============ Luk 14:28 For which of you, intending to build a tower, sitteth not down first, and counteth the cost, whether he have sufficient to finish it?(KJV-1611) Luk 14:28 Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la.(Creole-HT) ======= Luke 14:29 ============ Luk 14:29 Lest haply, after he hath laid the foundation, and is not able to finish it, all that behold it begin to mock him,(KJV-1611) Luk 14:29 Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz.(Creole-HT) ======= Luke 14:30 ============ Luk 14:30 Saying, This man began to build, and was not able to finish.(KJV-1611) Luk 14:30 Y'a di: Nonm lan kòmanse bati, men li pa kapab fini.(Creole-HT) ======= Luke 14:31 ============ Luk 14:31 Or what king, going to make war against another king, sitteth not down first, and consulteth whether he be able with ten thousand to meet him that cometh against him with twenty thousand?(KJV-1611) Luk 14:31 Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil òm.(Creole-HT) ======= Luke 14:32 ============ Luk 14:32 Or else, while the other is yet a great way off, he sendeth an ambassage, and desireth conditions of peace.(KJV-1611) Luk 14:32 Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman.(Creole-HT) ======= Luke 14:33 ============ Luk 14:33 So likewise, whosoever he be of you that forsaketh not all that he hath, he cannot be my disciple.(KJV-1611) Luk 14:33 Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen.(Creole-HT) ======= Luke 14:34 ============ Luk 14:34 Salt is good: but if the salt have lost his savour, wherewith shall it be seasoned?(KJV-1611) Luk 14:34 Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò?(Creole-HT) ======= Luke 14:35 ============ Luk 14:35 It is neither fit for the land, nor yet for the dunghill; but men cast it out. He that hath ears to hear, let him hear.(KJV-1611) Luk 14:35 Lè sa a, sèl la pa bon pou mete ni nan jaden ni nan fimye, se jete pou yo voye sa jete. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.(Creole-HT) ======= Luke 15:1 ============ Luk 15:1 Then drew near unto him all the publicans and sinners for to hear him.(KJV-1611) Luk 15:1 Tout pèseptè kontribisyon yo ak moun k'ap fè sa ki mal yo t'ap pwoche bò kot Jezi pou tande sa l' t'ap di.(Creole-HT) ======= Luke 15:2 ============ Luk 15:2 And the Pharisees and scribes murmured, saying, This man receiveth sinners, and eateth with them.(KJV-1611) Luk 15:2 Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.(Creole-HT) ======= Luke 15:3 ============ Luk 15:3 And he spake this parable unto them, saying,(KJV-1611) Luk 15:3 Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a:(Creole-HT) ======= Luke 15:4 ============ Luk 15:4 What man of you, having an hundred sheep, if he lose one of them, doth not leave the ninety and nine in the wilderness, and go after that which is lost, until he find it?(KJV-1611) Luk 15:4 Sipoze yonn nan nou gen san mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li.(Creole-HT) ======= Luke 15:5 ============ Luk 15:5 And when he hath found it, he layeth it on his shoulders, rejoicing.(KJV-1611) Luk 15:5 Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Luke 15:6 ============ Luk 15:6 And when he cometh home, he calleth together his friends and neighbours, saying unto them, Rejoice with me; for I have found my sheep which was lost.(KJV-1611) Luk 15:6 Lè l' tounen lakay li avè l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m', mwen jwenn mouton m' ki te pèdi a.(Creole-HT) ======= Luke 15:7 ============ Luk 15:7 I say unto you, that likewise joy shall be in heaven over one sinner that repenteth, more than over ninety and nine just persons, which need no repentance.(KJV-1611) Luk 15:7 Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 15:8 ============ Luk 15:8 Either what woman having ten pieces of silver, if she lose one piece, doth not light a candle, and sweep the house, and seek diligently till she find it?(KJV-1611) Luk 15:8 Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li?(Creole-HT) ======= Luke 15:9 ============ Luk 15:9 And when she hath found it, she calleth her friends and her neighbours together, saying, Rejoice with me; for I have found the piece which I had lost.(KJV-1611) Luk 15:9 Lè l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m'; mwen jwenn pyès lajan m' ki te pèdi a.(Creole-HT) ======= Luke 15:10 ============ Luk 15:10 Likewise, I say unto you, there is joy in the presence of the angels of God over one sinner that repenteth.(KJV-1611) Luk 15:10 Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 15:11 ============ Luk 15:11 And he said, A certain man had two sons:(KJV-1611) Luk 15:11 Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason.(Creole-HT) ======= Luke 15:12 ============ Luk 15:12 And the younger of them said to his father, Father, give me the portion of goods that falleth to me. And he divided unto them his living.(KJV-1611) Luk 15:12 Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de.(Creole-HT) ======= Luke 15:13 ============ Luk 15:13 And not many days after the younger son gathered all together, and took his journey into a far country, and there wasted his substance with riotous living.(KJV-1611) Luk 15:13 Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'.(Creole-HT) ======= Luke 15:14 ============ Luk 15:14 And when he had spent all, there arose a mighty famine in that land; and he began to be in want.(KJV-1611) Luk 15:14 Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite.(Creole-HT) ======= Luke 15:15 ============ Luk 15:15 And he went and joined himself to a citizen of that country; and he sent him into his fields to feed swine.(KJV-1611) Luk 15:15 li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon.(Creole-HT) ======= Luke 15:16 ============ Luk 15:16 And he would fain have filled his belly with the husks that the swine did eat: and no man gave unto him.(KJV-1611) Luk 15:16 Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li.(Creole-HT) ======= Luke 15:17 ============ Luk 15:17 And when he came to himself, he said, How many hired servants of my father's have bread enough and to spare, and I perish with hunger!(KJV-1611) Luk 15:17 Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.(Creole-HT) ======= Luke 15:18 ============ Luk 15:18 I will arise and go to my father, and will say unto him, Father, I have sinned against heaven, and before thee,(KJV-1611) Luk 15:18 M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.(Creole-HT) ======= Luke 15:19 ============ Luk 15:19 And am no more worthy to be called thy son: make me as one of thy hired servants.(KJV-1611) Luk 15:19 Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo.(Creole-HT) ======= Luke 15:20 ============ Luk 15:20 And he arose, and came to his father. But when he was yet a great way off, his father saw him, and had compassion, and ran, and fell on his neck, and kissed him.(KJV-1611) Luk 15:20 Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li.(Creole-HT) ======= Luke 15:21 ============ Luk 15:21 And the son said unto him, Father, I have sinned against heaven, and in thy sight, and am no more worthy to be called thy son.(KJV-1611) Luk 15:21 Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò.(Creole-HT) ======= Luke 15:22 ============ Luk 15:22 But the father said to his servants, Bring forth the best robe, and put it on him; and put a ring on his hand, and shoes on his feet:(KJV-1611) Luk 15:22 Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li.(Creole-HT) ======= Luke 15:23 ============ Luk 15:23 And bring hither the fatted calf, and kill it; and let us eat, and be merry:(KJV-1611) Luk 15:23 Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje.(Creole-HT) ======= Luke 15:24 ============ Luk 15:24 For this my son was dead, and is alive again; he was lost, and is found. And they began to be merry.(KJV-1611) Luk 15:24 Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.(Creole-HT) ======= Luke 15:25 ============ Luk 15:25 Now his elder son was in the field: and as he came and drew nigh to the house, he heard musick and dancing.(KJV-1611) Luk 15:25 Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lè l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo.(Creole-HT) ======= Luke 15:26 ============ Luk 15:26 And he called one of the servants, and asked what these things meant.(KJV-1611) Luk 15:26 Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen?(Creole-HT) ======= Luke 15:27 ============ Luk 15:27 And he said unto him, Thy brother is come; and thy father hath killed the fatted calf, because he hath received him safe and sound.(KJV-1611) Luk 15:27 Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante.(Creole-HT) ======= Luke 15:28 ============ Luk 15:28 And he was angry, and would not go in: therefore came his father out, and intreated him.(KJV-1611) Luk 15:28 Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre.(Creole-HT) ======= Luke 15:29 ============ Luk 15:29 And he answering said to his father, Lo, these many years do I serve thee, neither transgressed I at any time thy commandment: and yet thou never gavest me a kid, that I might make merry with my friends:(KJV-1611) Luk 15:29 Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo.(Creole-HT) ======= Luke 15:30 ============ Luk 15:30 But as soon as this thy son was come, which hath devoured thy living with harlots, thou hast killed for him the fatted calf.(KJV-1611) Luk 15:30 Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a.(Creole-HT) ======= Luke 15:31 ============ Luk 15:31 And he said unto him, Son, thou art ever with me, and all that I have is thine.(KJV-1611) Luk 15:31 Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m'; tout sa m' genyen se pou ou.(Creole-HT) ======= Luke 15:32 ============ Luk 15:32 It was meet that we should make merry, and be glad: for this thy brother was dead, and is alive again; and was lost, and is found.(KJV-1611) Luk 15:32 Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.(Creole-HT) ======= Luke 16:1 ============ Luk 16:1 And he said also unto his disciples, There was a certain rich man, which had a steward; and the same was accused unto him that he had wasted his goods.(KJV-1611) Luk 16:1 Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo.(Creole-HT) ======= Luke 16:2 ============ Luk 16:2 And he called him, and said unto him, How is it that I hear this of thee? give an account of thy stewardship; for thou mayest be no longer steward.(KJV-1611) Luk 16:2 Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò.(Creole-HT) ======= Luke 16:3 ============ Luk 16:3 Then the steward said within himself, What shall I do? for my lord taketh away from me the stewardship: I cannot dig; to beg I am ashamed.(KJV-1611) Luk 16:3 Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite!(Creole-HT) ======= Luke 16:4 ============ Luk 16:4 I am resolved what to do, that, when I am put out of the stewardship, they may receive me into their houses.(KJV-1611) Luk 16:4 Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo.(Creole-HT) ======= Luke 16:5 ============ Luk 16:5 So he called every one of his lord's debtors unto him, and said unto the first, How much owest thou unto my lord?(KJV-1611) Luk 16:5 Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la?(Creole-HT) ======= Luke 16:6 ============ Luk 16:6 And he said, An hundred measures of oil. And he said unto him, Take thy bill, and sit down quickly, and write fifty.(KJV-1611) Luk 16:6 Li reponn: Mwen dwe l' san bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit.(Creole-HT) ======= Luke 16:7 ============ Luk 16:7 Then said he to another, And how much owest thou? And he said, An hundred measures of wheat. And he said unto him, Take thy bill, and write fourscore.(KJV-1611) Luk 16:7 Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven.(Creole-HT) ======= Luke 16:8 ============ Luk 16:8 And the lord commended the unjust steward, because he had done wisely: for the children of this world are in their generation wiser than the children of light.(KJV-1611) Luk 16:8 Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.(Creole-HT) ======= Luke 16:9 ============ Luk 16:9 And I say unto you, Make to yourselves friends of the mammon of unrighteousness; that, when ye fail, they may receive you into everlasting habitations.(KJV-1611) Luk 16:9 Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Luke 16:10 ============ Luk 16:10 He that is faithful in that which is least is faithful also in much: and he that is unjust in the least is unjust also in much.(KJV-1611) Luk 16:10 Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis.(Creole-HT) ======= Luke 16:11 ============ Luk 16:11 If therefore ye have not been faithful in the unrighteous mammon, who will commit to your trust the true riches?(KJV-1611) Luk 16:11 Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo?(Creole-HT) ======= Luke 16:12 ============ Luk 16:12 And if ye have not been faithful in that which is another man's, who shall give you that which is your own?(KJV-1611) Luk 16:12 Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a?(Creole-HT) ======= Luke 16:13 ============ Luk 16:13 No servant can serve two masters: for either he will hate the one, and love the other; or else he will hold to the one, and despise the other. Ye cannot serve God and mammon.(KJV-1611) Luk 16:13 Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.(Creole-HT) ======= Luke 16:14 ============ Luk 16:14 And the Pharisees also, who were covetous, heard all these things: and they derided him.(KJV-1611) Luk 16:14 Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan.(Creole-HT) ======= Luke 16:15 ============ Luk 16:15 And he said unto them, Ye are they which justify yourselves before men; but God knoweth your hearts: for that which is highly esteemed among men is abomination in the sight of God.(KJV-1611) Luk 16:15 Lè sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.(Creole-HT) ======= Luke 16:16 ============ Luk 16:16 The law and the prophets were until John: since that time the kingdom of God is preached, and every man presseth into it.(KJV-1611) Luk 16:16 Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.(Creole-HT) ======= Luke 16:17 ============ Luk 16:17 And it is easier for heaven and earth to pass, than one tittle of the law to fail.(KJV-1611) Luk 16:17 Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li.(Creole-HT) ======= Luke 16:18 ============ Luk 16:18 Whosoever putteth away his wife, and marrieth another, committeth adultery: and whosoever marrieth her that is put away from her husband committeth adultery.(KJV-1611) Luk 16:18 Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou.(Creole-HT) ======= Luke 16:19 ============ Luk 16:19 There was a certain rich man, which was clothed in purple and fine linen, and fared sumptuously every day:(KJV-1611) Luk 16:19 Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li.(Creole-HT) ======= Luke 16:20 ============ Luk 16:20 And there was a certain beggar named Lazarus, which was laid at his gate, full of sores,(KJV-1611) Luk 16:20 Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng.(Creole-HT) ======= Luke 16:21 ============ Luk 16:21 And desiring to be fed with the crumbs which fell from the rich man's table: moreover the dogs came and licked his sores.(KJV-1611) Luk 16:21 Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou.(Creole-HT) ======= Luke 16:22 ============ Luk 16:22 And it came to pass, that the beggar died, and was carried by the angels into Abraham's bosom: the rich man also died, and was buried;(KJV-1611) Luk 16:22 Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li.(Creole-HT) ======= Luke 16:23 ============ Luk 16:23 And in hell he lift up his eyes, being in torments, and seeth Abraham afar off, and Lazarus in his bosom.(KJV-1611) Luk 16:23 Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.(Creole-HT) ======= Luke 16:24 ============ Luk 16:24 And he cried and said, Father Abraham, have mercy on me, and send Lazarus, that he may dip the tip of his finger in water, and cool my tongue; for I am tormented in this flame.(KJV-1611) Luk 16:24 Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.(Creole-HT) ======= Luke 16:25 ============ Luk 16:25 But Abraham said, Son, remember that thou in thy lifetime receivedst thy good things, and likewise Lazarus evil things: but now he is comforted, and thou art tormented.(KJV-1611) Luk 16:25 Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.(Creole-HT) ======= Luke 16:26 ============ Luk 16:26 And beside all this, between us and you there is a great gulf fixed: so that they which would pass from hence to you cannot; neither can they pass to us, that would come from thence.(KJV-1611) Luk 16:26 Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Luke 16:27 ============ Luk 16:27 Then he said, I pray thee therefore, father, that thou wouldest send him to my father's house:(KJV-1611) Luk 16:27 Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen.(Creole-HT) ======= Luke 16:28 ============ Luk 16:28 For I have five brethren; that he may testify unto them, lest they also come into this place of torment.(KJV-1611) Luk 16:28 Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a.(Creole-HT) ======= Luke 16:29 ============ Luk 16:29 Abraham saith unto him, They have Moses and the prophets; let them hear them.(KJV-1611) Luk 16:29 Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo.(Creole-HT) ======= Luke 16:30 ============ Luk 16:30 And he said, Nay, father Abraham: but if one went unto them from the dead, they will repent.(KJV-1611) Luk 16:30 Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo.(Creole-HT) ======= Luke 16:31 ============ Luk 16:31 And he said unto him, If they hear not Moses and the prophets, neither will they be persuaded, though one rose from the dead.(KJV-1611) Luk 16:31 Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.(Creole-HT) ======= Luke 17:1 ============ Luk 17:1 Then said he unto the disciples, It is impossible but that offences will come: but woe unto him, through whom they come!(KJV-1611) Luk 17:1 Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.(Creole-HT) ======= Luke 17:2 ============ Luk 17:2 It were better for him that a millstone were hanged about his neck, and he cast into the sea, than that he should offend one of these little ones.(KJV-1611) Luk 17:2 Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Luke 17:3 ============ Luk 17:3 Take heed to yourselves: If thy brother trespass against thee, rebuke him; and if he repent, forgive him.(KJV-1611) Luk 17:3 Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l' chanje konpòtman li, padonnen li.(Creole-HT) ======= Luke 17:4 ============ Luk 17:4 And if he trespass against thee seven times in a day, and seven times in a day turn again to thee, saying, I repent; thou shalt forgive him.(KJV-1611) Luk 17:4 Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l' di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.(Creole-HT) ======= Luke 17:5 ============ Luk 17:5 And the apostles said unto the Lord, Increase our faith.(KJV-1611) Luk 17:5 Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non.(Creole-HT) ======= Luke 17:6 ============ Luk 17:6 And the Lord said, If ye had faith as a grain of mustard seed, ye might say unto this sycamine tree, Be thou plucked up by the root, and be thou planted in the sea; and it should obey you.(KJV-1611) Luk 17:6 Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou.(Creole-HT) ======= Luke 17:7 ============ Luk 17:7 But which of you, having a servant plowing or feeding cattle, will say unto him by and by, when he is come from the field, Go and sit down to meat?(KJV-1611) Luk 17:7 Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l' osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la soti nan jaden, èske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje.(Creole-HT) ======= Luke 17:8 ============ Luk 17:8 And will not rather say unto him, Make ready wherewith I may sup, and gird thyself, and serve me, till I have eaten and drunken; and afterward thou shalt eat and drink?(KJV-1611) Luk 17:8 Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m' pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m' fin manje, ou menm wa manje, wa bwè.(Creole-HT) ======= Luke 17:9 ============ Luk 17:9 Doth he thank that servant because he did the things that were commanded him? I trow not.(KJV-1611) Luk 17:9 Li pa gen mèsi pou l' di domestik la paske domestik la fè sa l' te mande l' fè a, pa vre.(Creole-HT) ======= Luke 17:10 ============ Luk 17:10 So likewise ye, when ye shall have done all those things which are commanded you, say, We are unprofitable servants: we have done that which was our duty to do.(KJV-1611) Luk 17:10 Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n' di: Se domestik nou ye, nou fè sa n' te dwe fè.(Creole-HT) ======= Luke 17:11 ============ Luk 17:11 And it came to pass, as he went to Jerusalem, that he passed through the midst of Samaria and Galilee.(KJV-1611) Luk 17:11 Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalèm, li t'ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile.(Creole-HT) ======= Luke 17:12 ============ Luk 17:12 And as he entered into a certain village, there met him ten men that were lepers, which stood afar off:(KJV-1611) Luk 17:12 Antan l' t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l',(Creole-HT) ======= Luke 17:13 ============ Luk 17:13 And they lifted up their voices, and said, Jesus, Master, have mercy on us.(KJV-1611) Luk 17:13 yo pale byen fò, yo di l' konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Luke 17:14 ============ Luk 17:14 And when he saw them, he said unto them, Go shew yourselves unto the priests. And it came to pass, that, as they went, they were cleansed.(KJV-1611) Luk 17:14 Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.(Creole-HT) ======= Luke 17:15 ============ Luk 17:15 And one of them, when he saw that he was healed, turned back, and with a loud voice glorified God,(KJV-1611) Luk 17:15 Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.(Creole-HT) ======= Luke 17:16 ============ Luk 17:16 And fell down on his face at his feet, giving him thanks: and he was a Samaritan.(KJV-1611) Luk 17:16 Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.(Creole-HT) ======= Luke 17:17 ============ Luk 17:17 And Jesus answering said, Were there not ten cleansed? but where are the nine?(KJV-1611) Luk 17:17 Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo?(Creole-HT) ======= Luke 17:18 ============ Luk 17:18 There are not found that returned to give glory to God, save this stranger.(KJV-1611) Luk 17:18 Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l' vin fè lwanj Bondye?(Creole-HT) ======= Luke 17:19 ============ Luk 17:19 And he said unto him, Arise, go thy way: thy faith hath made thee whole.(KJV-1611) Luk 17:19 Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.(Creole-HT) ======= Luke 17:20 ============ Luk 17:20 And when he was demanded of the Pharisees, when the kingdom of God should come, he answered them and said, The kingdom of God cometh not with observation:(KJV-1611) Luk 17:20 Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li.(Creole-HT) ======= Luke 17:21 ============ Luk 17:21 Neither shall they say, Lo here! or, lo there! for, behold, the kingdom of God is within you.(KJV-1611) Luk 17:21 Men, yo p'ap di: Men l' bò isit, osinon: Men l' bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Luke 17:22 ============ Luk 17:22 And he said unto the disciples, The days will come, when ye shall desire to see one of the days of the Son of man, and ye shall not see it.(KJV-1611) Luk 17:22 Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa.(Creole-HT) ======= Luke 17:23 ============ Luk 17:23 And they shall say to you, See here; or, see there: go not after them, nor follow them.(KJV-1611) Luk 17:23 Y'a di nou: Gade, men l' bò isit, osinon: Gade, men l' bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo.(Creole-HT) ======= Luke 17:24 ============ Luk 17:24 For as the lightning, that lighteneth out of the one part under heaven, shineth unto the other part under heaven; so shall also the Son of man be in his day.(KJV-1611) Luk 17:24 Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive.(Creole-HT) ======= Luke 17:25 ============ Luk 17:25 But first must he suffer many things, and be rejected of this generation.(KJV-1611) Luk 17:25 Men, anvan sa, li gen pou l' soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li.(Creole-HT) ======= Luke 17:26 ============ Luk 17:26 And as it was in the days of Noe, so shall it be also in the days of the Son of man.(KJV-1611) Luk 17:26 Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.(Creole-HT) ======= Luke 17:27 ============ Luk 17:27 They did eat, they drank, they married wives, they were given in marriage, until the day that Noe entered into the ark, and the flood came, and destroyed them all.(KJV-1611) Luk 17:27 Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.(Creole-HT) ======= Luke 17:28 ============ Luk 17:28 Likewise also as it was in the days of Lot; they did eat, they drank, they bought, they sold, they planted, they builded;(KJV-1611) Luk 17:28 Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati.(Creole-HT) ======= Luke 17:29 ============ Luk 17:29 But the same day that Lot went out of Sodom it rained fire and brimstone from heaven, and destroyed them all.(KJV-1611) Luk 17:29 Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.(Creole-HT) ======= Luke 17:30 ============ Luk 17:30 Even thus shall it be in the day when the Son of man is revealed.(KJV-1611) Luk 17:30 Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.(Creole-HT) ======= Luke 17:31 ============ Luk 17:31 In that day, he which shall be upon the housetop, and his stuff in the house, let him not come down to take it away: and he that is in the field, let him likewise not return back.(KJV-1611) Luk 17:31 Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p'ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p'ap bezwen tounen lakay ankò.(Creole-HT) ======= Luke 17:32 ============ Luk 17:32 Remember Lot's wife.(KJV-1611) Luk 17:32 Chonje istwa madanm Lòt la.(Creole-HT) ======= Luke 17:33 ============ Luk 17:33 Whosoever shall seek to save his life shall lose it; and whosoever shall lose his life shall preserve it.(KJV-1611) Luk 17:33 Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.(Creole-HT) ======= Luke 17:34 ============ Luk 17:34 I tell you, in that night there shall be two men in one bed; the one shall be taken, and the other shall be left.(KJV-1611) Luk 17:34 M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.(Creole-HT) ======= Luke 17:35 ============ Luk 17:35 Two women shall be grinding together; the one shall be taken, and the other left.(KJV-1611) Luk 17:35 Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.(Creole-HT) ======= Luke 17:36 ============ Luk 17:36 Two men shall be in the field; the one shall be taken, and the other left.(KJV-1611) Luk 17:36 Va gen dezòm nan yon menm jaden; y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.(Creole-HT) ======= Luke 17:37 ============ Luk 17:37 And they answered and said unto him, Where, Lord? And he said unto them, Wheresoever the body is, thither will the eagles be gathered together.(KJV-1611) Luk 17:37 Disip yo pran lapawòl, yo mande l' konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.(Creole-HT) ======= Luke 18:1 ============ Luk 18:1 And he spake a parable unto them to this end, that men ought always to pray, and not to faint;(KJV-1611) Luk 18:1 Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l' te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:(Creole-HT) ======= Luke 18:2 ============ Luk 18:2 Saying, There was in a city a judge, which feared not God, neither regarded man:(KJV-1611) Luk 18:2 Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon lavil; li pa t' pè Bondye ni li pa t' respekte pesonn.(Creole-HT) ======= Luke 18:3 ============ Luk 18:3 And there was a widow in that city; and she came unto him, saying, Avenge me of mine adversary.(KJV-1611) Luk 18:3 Nan menm lavil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin bò kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont moun ki nan kont avè m' lan non.(Creole-HT) ======= Luke 18:4 ============ Luk 18:4 And he would not for a while: but afterward he said within himself, Though I fear not God, nor regard man;(KJV-1611) Luk 18:4 Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l': Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun.(Creole-HT) ======= Luke 18:5 ============ Luk 18:5 Yet because this widow troubleth me, I will avenge her, lest by her continual coming she weary me.(KJV-1611) Luk 18:5 Men, fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa la sispann anbete mwen.(Creole-HT) ======= Luke 18:6 ============ Luk 18:6 And the Lord said, Hear what the unjust judge saith.(KJV-1611) Luk 18:6 Jezi di: Nou tande sa move jij la di!(Creole-HT) ======= Luke 18:7 ============ Luk 18:7 And shall not God avenge his own elect, which cry day and night unto him, though he bear long with them?(KJV-1611) Luk 18:7 Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?(Creole-HT) ======= Luke 18:8 ============ Luk 18:8 I tell you that he will avenge them speedily. Nevertheless when the Son of man cometh, shall he find faith on the earth?(KJV-1611) Luk 18:8 M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?(Creole-HT) ======= Luke 18:9 ============ Luk 18:9 And he spake this parable unto certain which trusted in themselves that they were righteous, and despised others:(KJV-1611) Luk 18:9 Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:(Creole-HT) ======= Luke 18:10 ============ Luk 18:10 Two men went up into the temple to pray; the one a Pharisee, and the other a publican.(KJV-1611) Luk 18:10 Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon.(Creole-HT) ======= Luke 18:11 ============ Luk 18:11 The Pharisee stood and prayed thus with himself, God, I thank thee, that I am not as other men are, extortioners, unjust, adulterers, or even as this publican.(KJV-1611) Luk 18:11 Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.(Creole-HT) ======= Luke 18:12 ============ Luk 18:12 I fast twice in the week, I give tithes of all that I possess.(KJV-1611) Luk 18:12 Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.(Creole-HT) ======= Luke 18:13 ============ Luk 18:13 And the publican, standing afar off, would not lift up so much as his eyes unto heaven, but smote upon his breast, saying, God be merciful to me a sinner.(KJV-1611) Luk 18:13 Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.(Creole-HT) ======= Luke 18:14 ============ Luk 18:14 I tell you, this man went down to his house justified rather than the other: for every one that exalteth himself shall be abased; and he that humbleth himself shall be exalted.(KJV-1611) Luk 18:14 Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.(Creole-HT) ======= Luke 18:15 ============ Luk 18:15 And they brought unto him also infants, that he would touch them: but when his disciples saw it, they rebuked them.(KJV-1611) Luk 18:15 Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l' te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa.(Creole-HT) ======= Luke 18:16 ============ Luk 18:16 But Jesus called them unto him, and said, Suffer little children to come unto me, and forbid them not: for of such is the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 18:16 Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.(Creole-HT) ======= Luke 18:17 ============ Luk 18:17 Verily I say unto you, Whosoever shall not receive the kingdom of God as a little child shall in no wise enter therein.(KJV-1611) Luk 18:17 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l' nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 18:18 ============ Luk 18:18 And a certain ruler asked him, saying, Good Master, what shall I do to inherit eternal life?(KJV-1611) Luk 18:18 Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?(Creole-HT) ======= Luke 18:19 ============ Luk 18:19 And Jesus said unto him, Why callest thou me good? none is good, save one, that is, God.(KJV-1611) Luk 18:19 Jezi di li: Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 18:20 ============ Luk 18:20 Thou knowest the commandments, Do not commit adultery, Do not kill, Do not steal, Do not bear false witness, Honour thy father and thy mother.(KJV-1611) Luk 18:20 Ou konn kòmandman yo: Piga ou fè adiltè, piga ou touye moun, piga ou vòlò, piga ou fè manti sou moun, respekte papa ou ak manman ou.(Creole-HT) ======= Luke 18:21 ============ Luk 18:21 And he said, All these have I kept from my youth up.(KJV-1611) Luk 18:21 Nonm lan reponn: Mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te tikatkat.(Creole-HT) ======= Luke 18:22 ============ Luk 18:22 Now when Jesus heard these things, he said unto him, Yet lackest thou one thing: sell all that thou hast, and distribute unto the poor, and thou shalt have treasure in heaven: and come, follow me.(KJV-1611) Luk 18:22 Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.(Creole-HT) ======= Luke 18:23 ============ Luk 18:23 And when he heard this, he was very sorrowful: for he was very rich.(KJV-1611) Luk 18:23 Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen.(Creole-HT) ======= Luke 18:24 ============ Luk 18:24 And when Jesus saw that he was very sorrowful, he said, How hardly shall they that have riches enter into the kingdom of God!(KJV-1611) Luk 18:24 Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 18:25 ============ Luk 18:25 For it is easier for a camel to go through a needle's eye, than for a rich man to enter into the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 18:25 L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 18:26 ============ Luk 18:26 And they that heard it said, Who then can be saved?(KJV-1611) Luk 18:26 Moun ki t'ap koute l' yo di l': Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?(Creole-HT) ======= Luke 18:27 ============ Luk 18:27 And he said, The things which are impossible with men are possible with God.(KJV-1611) Luk 18:27 Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.(Creole-HT) ======= Luke 18:28 ============ Luk 18:28 Then Peter said, Lo, we have left all, and followed thee.(KJV-1611) Luk 18:28 Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.(Creole-HT) ======= Luke 18:29 ============ Luk 18:29 And he said unto them, Verily I say unto you, There is no man that hath left house, or parents, or brethren, or wife, or children, for the kingdom of God's sake,(KJV-1611) Luk 18:29 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a,(Creole-HT) ======= Luke 18:30 ============ Luk 18:30 Who shall not receive manifold more in this present time, and in the world to come life everlasting.(KJV-1611) Luk 18:30 moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Luke 18:31 ============ Luk 18:31 Then he took unto him the twelve, and said unto them, Behold, we go up to Jerusalem, and all things that are written by the prophets concerning the Son of man shall be accomplished.(KJV-1611) Luk 18:31 Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive.(Creole-HT) ======= Luke 18:32 ============ Luk 18:32 For he shall be delivered unto the Gentiles, and shall be mocked, and spitefully entreated, and spitted on:(KJV-1611) Luk 18:32 Yo pral lage l' nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l' nan rizib, y'a joure l', y'a krache sou li.(Creole-HT) ======= Luke 18:33 ============ Luk 18:33 And they shall scourge him, and put him to death: and the third day he shall rise again.(KJV-1611) Luk 18:33 Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l'; men sou twa jou la leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 18:34 ============ Luk 18:34 And they understood none of these things: and this saying was hid from them, neither knew they the things which were spoken.(KJV-1611) Luk 18:34 Men, disip yo pa t' konprann anyen nan sa; sans pawòl la te kache pou yo, yo pa t' kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.(Creole-HT) ======= Luke 18:35 ============ Luk 18:35 And it came to pass, that as he was come nigh unto Jericho, a certain blind man sat by the way side begging:(KJV-1611) Luk 18:35 Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko; te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite.(Creole-HT) ======= Luke 18:36 ============ Luk 18:36 And hearing the multitude pass by, he asked what it meant.(KJV-1611) Luk 18:36 Lè l' tande foul moun yo ap pase, li mande sak genyen.(Creole-HT) ======= Luke 18:37 ============ Luk 18:37 And they told him, that Jesus of Nazareth passeth by.(KJV-1611) Luk 18:37 Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase.(Creole-HT) ======= Luke 18:38 ============ Luk 18:38 And he cried, saying, Jesus, thou son of David, have mercy on me.(KJV-1611) Luk 18:38 Li pran rele: Jezi, pitit David la, pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Luke 18:39 ============ Luk 18:39 And they which went before rebuked him, that he should hold his peace: but he cried so much the more, Thou son of David, have mercy on me.(KJV-1611) Luk 18:39 Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l' pou te fè l' pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: Pitit David la, pitye pou mwen.(Creole-HT) ======= Luke 18:40 ============ Luk 18:40 And Jesus stood, and commanded him to be brought unto him: and when he was come near, he asked him,(KJV-1611) Luk 18:40 Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l' ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li:(Creole-HT) ======= Luke 18:41 ============ Luk 18:41 Saying, What wilt thou that I shall do unto thee? And he said, Lord, that I may receive my sight.(KJV-1611) Luk 18:41 Kisa ou vle m' fè pou ou? Li reponn: Mèt, fè m' wè ankò.(Creole-HT) ======= Luke 18:42 ============ Luk 18:42 And Jesus said unto him, Receive thy sight: thy faith hath saved thee.(KJV-1611) Luk 18:42 Epi Jezi di li: Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.(Creole-HT) ======= Luke 18:43 ============ Luk 18:43 And immediately he received his sight, and followed him, glorifying God: and all the people, when they saw it, gave praise unto God.(KJV-1611) Luk 18:43 Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.(Creole-HT) ======= Luke 19:1 ============ Luk 19:1 And Jesus entered and passed through Jericho.(KJV-1611) Luk 19:1 Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la.(Creole-HT) ======= Luke 19:2 ============ Luk 19:2 And, behold, there was a man named Zacchaeus, which was the chief among the publicans, and he was rich.(KJV-1611) Luk 19:2 Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich.(Creole-HT) ======= Luke 19:3 ============ Luk 19:3 And he sought to see Jesus who he was; and could not for the press, because he was little of stature.(KJV-1611) Luk 19:3 Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pa t' kapab rive wè li.(Creole-HT) ======= Luke 19:4 ============ Luk 19:4 And he ran before, and climbed up into a sycomore tree to see him: for he was to pass that way.(KJV-1611) Luk 19:4 Li pran kouri devan; li moute sou yon pye sikomò pou l' wè Jezi ki te gen pou l' te pase bò la.(Creole-HT) ======= Luke 19:5 ============ Luk 19:5 And when Jesus came to the place, he looked up, and saw him, and said unto him, Zacchaeus, make haste, and come down; for to day I must abide at thy house.(KJV-1611) Luk 19:5 Lè Jezi rive la, li leve je l' anlè, li di l': Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a.(Creole-HT) ======= Luke 19:6 ============ Luk 19:6 And he made haste, and came down, and received him joyfully.(KJV-1611) Luk 19:6 Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Luke 19:7 ============ Luk 19:7 And when they saw it, they all murmured, saying, That he was gone to be guest with a man that is a sinner.(KJV-1611) Luk 19:7 Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche.(Creole-HT) ======= Luke 19:8 ============ Luk 19:8 And Zacchaeus stood, and said unto the Lord: Behold, Lord, the half of my goods I give to the poor; and if I have taken any thing from any man by false accusation, I restore him fourfold.(KJV-1611) Luk 19:8 Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè.(Creole-HT) ======= Luke 19:9 ============ Luk 19:9 And Jesus said unto him, This day is salvation come to this house, forsomuch as he also is a son of Abraham.(KJV-1611) Luk 19:9 Jezi di li: Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou.(Creole-HT) ======= Luke 19:10 ============ Luk 19:10 For the Son of man is come to seek and to save that which was lost.(KJV-1611) Luk 19:10 Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.(Creole-HT) ======= Luke 19:11 ============ Luk 19:11 And as they heard these things, he added and spake a parable, because he was nigh to Jerusalem, and because they thought that the kingdom of God should immediately appear.(KJV-1611) Luk 19:11 Apre sa, Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fèk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a tapral parèt touswit.(Creole-HT) ======= Luke 19:12 ============ Luk 19:12 He said therefore, A certain nobleman went into a far country to receive for himself a kingdom, and to return.(KJV-1611) Luk 19:12 Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò.(Creole-HT) ======= Luke 19:13 ============ Luk 19:13 And he called his ten servants, and delivered them ten pounds, and said unto them, Occupy till I come.(KJV-1611) Luk 19:13 Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen.(Creole-HT) ======= Luke 19:14 ============ Luk 19:14 But his citizens hated him, and sent a message after him, saying, We will not have this man to reign over us.(KJV-1611) Luk 19:14 Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.(Creole-HT) ======= Luke 19:15 ============ Luk 19:15 And it came to pass, that when he was returned, having received the kingdom, then he commanded these servants to be called unto him, to whom he had given the money, that he might know how much every man had gained by trading.(KJV-1611) Luk 19:15 Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè.(Creole-HT) ======= Luke 19:16 ============ Luk 19:16 Then came the first, saying, Lord, thy pound hath gained ten pounds.(KJV-1611) Luk 19:16 Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò.(Creole-HT) ======= Luke 19:17 ============ Luk 19:17 And he said unto him, Well, thou good servant: because thou hast been faithful in a very little, have thou authority over ten cities.(KJV-1611) Luk 19:17 Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen.(Creole-HT) ======= Luke 19:18 ============ Luk 19:18 And the second came, saying, Lord, thy pound hath gained five pounds.(KJV-1611) Luk 19:18 Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès.(Creole-HT) ======= Luke 19:19 ============ Luk 19:19 And he said likewise to him, Be thou also over five cities.(KJV-1611) Luk 19:19 Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil.(Creole-HT) ======= Luke 19:20 ============ Luk 19:20 And another came, saying, Lord, behold, here is thy pound, which I have kept laid up in a napkin:(KJV-1611) Luk 19:20 Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa.(Creole-HT) ======= Luke 19:21 ============ Luk 19:21 For I feared thee, because thou art an austere man: thou takest up that thou layedst not down, and reapest that thou didst not sow.(KJV-1611) Luk 19:21 Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen.(Creole-HT) ======= Luke 19:22 ============ Luk 19:22 And he saith unto him, Out of thine own mouth will I judge thee, thou wicked servant. Thou knewest that I was an austere man, taking up that I laid not down, and reaping that I did not sow:(KJV-1611) Luk 19:22 Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen,(Creole-HT) ======= Luke 19:23 ============ Luk 19:23 Wherefore then gavest not thou my money into the bank, that at my coming I might have required mine own with usury?(KJV-1611) Luk 19:23 poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè.(Creole-HT) ======= Luke 19:24 ============ Luk 19:24 And he said unto them that stood by, Take from him the pound, and give it to him that hath ten pounds.(KJV-1611) Luk 19:24 Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li.(Creole-HT) ======= Luke 19:25 ============ Luk 19:25 (And they said unto him, Lord, he hath ten pounds.)(KJV-1611) Luk 19:25 Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja.(Creole-HT) ======= Luke 19:26 ============ Luk 19:26 For I say unto you, That unto every one which hath shall be given; and from him that hath not, even that he hath shall be taken away from him.(KJV-1611) Luk 19:26 Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.(Creole-HT) ======= Luke 19:27 ============ Luk 19:27 But those mine enemies, which would not that I should reign over them, bring hither, and slay them before me.(KJV-1611) Luk 19:27 Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.(Creole-HT) ======= Luke 19:28 ============ Luk 19:28 And when he had thus spoken, he went before, ascending up to Jerusalem.(KJV-1611) Luk 19:28 Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou li al Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 19:29 ============ Luk 19:29 And it came to pass, when he was come nigh to Bethphage and Bethany, at the mount called the mount of Olives, he sent two of his disciples,(KJV-1611) Luk 19:29 Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan,(Creole-HT) ======= Luke 19:30 ============ Luk 19:30 Saying, Go ye into the village over against you; in the which at your entering ye shall find a colt tied, whereon yet never man sat: loose him, and bring him hither.(KJV-1611) Luk 19:30 li di yo konsa: Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare; pesonn pa kò janm moute sou li. Lage l', mennen l' ban mwen.(Creole-HT) ======= Luke 19:31 ============ Luk 19:31 And if any man ask you, Why do ye loose him? thus shall ye say unto him, Because the Lord hath need of him.(KJV-1611) Luk 19:31 Nenpòt moun ki mande nou: Poukisa n'ap lage l'? N'a reponn: Se Mèt la ki bezwen li.(Creole-HT) ======= Luke 19:32 ============ Luk 19:32 And they that were sent went their way, and found even as he had said unto them.(KJV-1611) Luk 19:32 De disip yo ale; yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a.(Creole-HT) ======= Luke 19:33 ============ Luk 19:33 And as they were loosing the colt, the owners thereof said unto them, Why loose ye the colt?(KJV-1611) Luk 19:33 Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo: Poukisa n'ap lage ti bourik la?(Creole-HT) ======= Luke 19:34 ============ Luk 19:34 And they said, The Lord hath need of him.(KJV-1611) Luk 19:34 Yo reponn: Se Mèt la ki bezwen li.(Creole-HT) ======= Luke 19:35 ============ Luk 19:35 And they brought him to Jesus: and they cast their garments upon the colt, and they set Jesus thereon.(KJV-1611) Luk 19:35 Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do ti bourik la, yo fè Jezi moute sou li.(Creole-HT) ======= Luke 19:36 ============ Luk 19:36 And as he went, they spread their clothes in the way.(KJV-1611) Luk 19:36 Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an.(Creole-HT) ======= Luke 19:37 ============ Luk 19:37 And when he was come nigh, even now at the descent of the mount of Olives, the whole multitude of the disciples began to rejoice and praise God with a loud voice for all the mighty works that they had seen;(KJV-1611) Luk 19:37 Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.(Creole-HT) ======= Luke 19:38 ============ Luk 19:38 Saying, Blessed be the King that cometh in the name of the Lord: peace in heaven, and glory in the highest.(KJV-1611) Luk 19:38 Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!(Creole-HT) ======= Luke 19:39 ============ Luk 19:39 And some of the Pharisees from among the multitude said unto him, Master, rebuke thy disciples.(KJV-1611) Luk 19:39 Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.(Creole-HT) ======= Luke 19:40 ============ Luk 19:40 And he answered and said unto them, I tell you that, if these should hold their peace, the stones would immediately cry out.(KJV-1611) Luk 19:40 Jezi reponn: M'ap di nou sa: si yo pe bouch yo, wòch yo va pran rele.(Creole-HT) ======= Luke 19:41 ============ Luk 19:41 And when he was come near, he beheld the city, and wept over it,(KJV-1611) Luk 19:41 Lè Jezi rive toupre lavil la, li wè l', li pran kriye sou li,(Creole-HT) ======= Luke 19:42 ============ Luk 19:42 Saying, If thou hadst known, even thou, at least in this thy day, the things which belong unto thy peace! but now they are hid from thine eyes.(KJV-1611) Luk 19:42 li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo!(Creole-HT) ======= Luke 19:43 ============ Luk 19:43 For the days shall come upon thee, that thine enemies shall cast a trench about thee, and compass thee round, and keep thee in on every side,(KJV-1611) Luk 19:43 Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò.(Creole-HT) ======= Luke 19:44 ============ Luk 19:44 And shall lay thee even with the ground, and thy children within thee; and they shall not leave in thee one stone upon another; because thou knewest not the time of thy visitation.(KJV-1611) Luk 19:44 Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t' rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.(Creole-HT) ======= Luke 19:45 ============ Luk 19:45 And he went into the temple, and began to cast out them that sold therein, and them that bought;(KJV-1611) Luk 19:45 Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo.(Creole-HT) ======= Luke 19:46 ============ Luk 19:46 Saying unto them, It is written, My house is the house of prayer: but ye have made it a den of thieves.(KJV-1611) Luk 19:46 Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè.(Creole-HT) ======= Luke 19:47 ============ Luk 19:47 And he taught daily in the temple. But the chief priests and the scribes and the chief of the people sought to destroy him,(KJV-1611) Luk 19:47 Chak jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Luke 19:48 ============ Luk 19:48 And could not find what they might do: for all the people were very attentive to hear him.(KJV-1611) Luk 19:48 Men, yo pa t' kapab jwenn yon jan pou yo te fè sa, paske tout pèp la t'ap koute sa l' t'ap di san yo pa pèdi yon mo.(Creole-HT) ======= Luke 20:1 ============ Luk 20:1 And it came to pass, that on one of those days, as he taught the people in the temple, and preached the gospel, the chief priests and the scribes came upon him with the elders,(KJV-1611) Luk 20:1 Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan; li t'ap moutre pèp la anpil bagay; li t'ap anonse yo bon nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive.(Creole-HT) ======= Luke 20:2 ============ Luk 20:2 And spake unto him, saying, Tell us, by what authority doest thou these things? or who is he that gave thee this authority?(KJV-1611) Luk 20:2 Yo di li: Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo?(Creole-HT) ======= Luke 20:3 ============ Luk 20:3 And he answered and said unto them, I will also ask you one thing; and answer me:(KJV-1611) Luk 20:3 Jezi reponn yo: Mwen pral poze nou yon keksyon, mwen menm tou.(Creole-HT) ======= Luke 20:4 ============ Luk 20:4 The baptism of John, was it from heaven, or of men?(KJV-1611) Luk 20:4 Di mwen kilès ki te voye Jan Batis batize moun: Bondye osinon lèzòm?(Creole-HT) ======= Luke 20:5 ============ Luk 20:5 And they reasoned with themselves, saying, If we shall say, From heaven; he will say, Why then believed ye him not?(KJV-1611) Luk 20:5 Men, yonn t'ap di lòt: Si nou reponn se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li.(Creole-HT) ======= Luke 20:6 ============ Luk 20:6 But and if we say, Of men; all the people will stone us: for they be persuaded that John was a prophet.(KJV-1611) Luk 20:6 Si nou reponn se lèzòm ki voye l', tout pèp la va touye nou ak kout wòch, paske yo tout te gen konviksyon Jan Batis te yon pwofèt.(Creole-HT) ======= Luke 20:7 ============ Luk 20:7 And they answered, that they could not tell whence it was.(KJV-1611) Luk 20:7 Lè sa a yo reponn li: Nou pa konn ki moun ki te voye l' batize.(Creole-HT) ======= Luke 20:8 ============ Luk 20:8 And Jesus said unto them, Neither tell I you by what authority I do these things.(KJV-1611) Luk 20:8 Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite m'ap fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 20:9 ============ Luk 20:9 Then began he to speak to the people this parable; A certain man planted a vineyard, and let it forth to husbandmen, and went into a far country for a long time.(KJV-1611) Luk 20:9 Apre sa, Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a: Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, li al fè lontan deyò.(Creole-HT) ======= Luke 20:10 ============ Luk 20:10 And at the season he sent a servant to the husbandmen, that they should give him of the fruit of the vineyard: but the husbandmen beat him, and sent him away empty.(KJV-1611) Luk 20:10 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l' nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l' tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l' anyen.(Creole-HT) ======= Luke 20:11 ============ Luk 20:11 And again he sent another servant: and they beat him also, and entreated him shamefully, and sent him away empty.(KJV-1611) Luk 20:11 Mèt jaden an voye yon lòt domestik kote yo ankò. Men, yo bat li byen bat, yo joure l' byen joure, epi yo voye l' tounen san yo pa ba l' anyen.(Creole-HT) ======= Luke 20:12 ============ Luk 20:12 And again he sent a third: and they wounded him also, and cast him out.(KJV-1611) Luk 20:12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik. Fwa sa a, yo blese l', yo mete l' deyò.(Creole-HT) ======= Luke 20:13 ============ Luk 20:13 Then said the lord of the vineyard, What shall I do? I will send my beloved son: it may be they will reverence him when they see him.(KJV-1611) Luk 20:13 Lè sa a, mèt jaden an di: Kisa pou m' fè? Bon, mwen pral voye pitit gason mwen renmen anpil la. Omwens y'a gen respè pou li.(Creole-HT) ======= Luke 20:14 ============ Luk 20:14 But when the husbandmen saw him, they reasoned among themselves, saying, This is the heir: come, let us kill him, that the inheritance may be ours.(KJV-1611) Luk 20:14 Men, lè kiltivatè yo wè pitit mèt jaden an, yonn di lòt: Men eritye a! Ann touye l', konsa jaden an va rete pou nou.(Creole-HT) ======= Luke 20:15 ============ Luk 20:15 So they cast him out of the vineyard, and killed him. What therefore shall the lord of the vineyard do unto them?(KJV-1611) Luk 20:15 Yo jete l' deyò jaden an, yo touye li. Atò, kisa mèt jaden an pral fè yo?(Creole-HT) ======= Luke 20:16 ============ Luk 20:16 He shall come and destroy these husbandmen, and shall give the vineyard to others. And when they heard it, they said, God forbid.(KJV-1611) Luk 20:16 L'ap vini, l'ap fè touye tout kiltivatè yo, epi l'ap bay lòt moun jaden rezen an. Lè pèp la tande sa, yo di: Mande Bondye padon!(Creole-HT) ======= Luke 20:17 ============ Luk 20:17 And he beheld them, and said, What is this then that is written, The stone which the builders rejected, the same is become the head of the corner?(KJV-1611) Luk 20:17 Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.(Creole-HT) ======= Luke 20:18 ============ Luk 20:18 Whosoever shall fall upon that stone shall be broken; but on whomsoever it shall fall, it will grind him to powder.(KJV-1611) Luk 20:18 Tout moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren yo. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, li gen pou l' kraze moun lan an miyèt moso.(Creole-HT) ======= Luke 20:19 ============ Luk 20:19 And the chief priests and the scribes the same hour sought to lay hands on him; and they feared the people: for they perceived that he had spoken this parable against them.(KJV-1611) Luk 20:19 Menm lè a, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Men, yo te pè pèp la.(Creole-HT) ======= Luke 20:20 ============ Luk 20:20 And they watched him, and sent forth spies, which should feign themselves just men, that they might take hold of his words, that so they might deliver him unto the power and authority of the governor.(KJV-1611) Luk 20:20 Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.(Creole-HT) ======= Luke 20:21 ============ Luk 20:21 And they asked him, saying, Master, we know that thou sayest and teachest rightly, neither acceptest thou the person of any, but teachest the way of God truly:(KJV-1611) Luk 20:21 Espyon yo poze l' keksyon sa a: Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a.(Creole-HT) ======= Luke 20:22 ============ Luk 20:22 Is it lawful for us to give tribute unto Caesar, or no?(KJV-1611) Luk 20:22 Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?(Creole-HT) ======= Luke 20:23 ============ Luk 20:23 But he perceived their craftiness, and said unto them, Why tempt ye me?(KJV-1611) Luk 20:23 Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo:(Creole-HT) ======= Luke 20:24 ============ Luk 20:24 Shew me a penny. Whose image and superscription hath it? They answered and said, Caesar's.(KJV-1611) Luk 20:24 Moutre m' yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza.(Creole-HT) ======= Luke 20:25 ============ Luk 20:25 And he said unto them, Render therefore unto Caesar the things which be Caesar's, and unto God the things which be God's.(KJV-1611) Luk 20:25 Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 20:26 ============ Luk 20:26 And they could not take hold of his words before the people: and they marvelled at his answer, and held their peace.(KJV-1611) Luk 20:26 Yo pa t' kapab jwenn anyen ki mal nan sa l' t'ap di devan pèp la. Okontrè, pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Yo fèmen bouch yo san di yon mo.(Creole-HT) ======= Luke 20:27 ============ Luk 20:27 Then came to him certain of the Sadducees, which deny that there is any resurrection; and they asked him,(KJV-1611) Luk 20:27 Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve ankò. Gen kèk ladan yo ki vin bò kot Jezi ak yon keksyon. Yo di l' konsa:(Creole-HT) ======= Luke 20:28 ============ Luk 20:28 Saying, Master, Moses wrote unto us, If any man's brother die, having a wife, and he die without children, that his brother should take his wife, and raise up seed unto his brother.(KJV-1611) Luk 20:28 Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l' gen yon frè, frè a gen pou l' marye avèk madanm defen an pou l' sa fè pitit pou frè l' ki mouri a.(Creole-HT) ======= Luke 20:29 ============ Luk 20:29 There were therefore seven brethren: and the first took a wife, and died without children.(KJV-1611) Luk 20:29 Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l' pa kite pitit.(Creole-HT) ======= Luke 20:30 ============ Luk 20:30 And the second took her to wife, and he died childless.(KJV-1611) Luk 20:30 Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l' tou.(Creole-HT) ======= Luke 20:31 ============ Luk 20:31 And the third took her; and in like manner the seven also: and they left no children, and died.(KJV-1611) Luk 20:31 Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit.(Creole-HT) ======= Luke 20:32 ============ Luk 20:32 Last of all the woman died also.(KJV-1611) Luk 20:32 Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l' tou.(Creole-HT) ======= Luke 20:33 ============ Luk 20:33 Therefore in the resurrection whose wife of them is she? for seven had her to wife.(KJV-1611) Luk 20:33 Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm?(Creole-HT) ======= Luke 20:34 ============ Luk 20:34 And Jesus answering said unto them, The children of this world marry, and are given in marriage:(KJV-1611) Luk 20:34 Jezi reponn yo: Isit sou latè, fanm ak gason nan marye.(Creole-HT) ======= Luke 20:35 ============ Luk 20:35 But they which shall be accounted worthy to obtain that world, and the resurrection from the dead, neither marry, nor are given in marriage:(KJV-1611) Luk 20:35 Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò.(Creole-HT) ======= Luke 20:36 ============ Luk 20:36 Neither can they die any more: for they are equal unto the angels; and are the children of God, being the children of the resurrection.(KJV-1611) Luk 20:36 Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 20:37 ============ Luk 20:37 Now that the dead are raised, even Moses shewed at the bush, when he calleth the Lord the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob.(KJV-1611) Luk 20:37 Wi, moun mouri gen pou yo leve. Se Moyiz menm ki moutre nou sa, lè bò ti touf bwa a, li te rele Bondye: Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb.(Creole-HT) ======= Luke 20:38 ============ Luk 20:38 For he is not a God of the dead, but of the living: for all live unto him.(KJV-1611) Luk 20:38 Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri, paske pou li tout moun vivan.(Creole-HT) ======= Luke 20:39 ============ Luk 20:39 Then certain of the scribes answering said, Master, thou hast well said.(KJV-1611) Luk 20:39 Lè sa a, kèk dirèktè lalwa pran lapawòl, yo di: Mèt, ou byen pale.(Creole-HT) ======= Luke 20:40 ============ Luk 20:40 And after that they durst not ask him any question at all.(KJV-1611) Luk 20:40 Apre sa, yo pa t' gen odas poze l' ankenn lòt keksyon.(Creole-HT) ======= Luke 20:41 ============ Luk 20:41 And he said unto them, How say they that Christ is David's son?(KJV-1611) Luk 20:41 Jezi di yo: Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye?(Creole-HT) ======= Luke 20:42 ============ Luk 20:42 And David himself saith in the book of Psalms, The LORD said unto my Lord, Sit thou on my right hand,(KJV-1611) Luk 20:42 Men, sa David menm te di nan liv Sòm yo: Bondye Mèt la te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen,(Creole-HT) ======= Luke 20:43 ============ Luk 20:43 Till I make thine enemies thy footstool.(KJV-1611) Luk 20:43 jouk tan mwen fè lènmi yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.(Creole-HT) ======= Luke 20:44 ============ Luk 20:44 David therefore calleth him Lord, how is he then his son?(KJV-1611) Luk 20:44 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit li?(Creole-HT) ======= Luke 20:45 ============ Luk 20:45 Then in the audience of all the people he said unto his disciples,(KJV-1611) Luk 20:45 Lè sa a, tout pèp la t'ap koute Jezi. Li di disip li yo:(Creole-HT) ======= Luke 20:46 ============ Luk 20:46 Beware of the scribes, which desire to walk in long robes, and love greetings in the markets, and the highest seats in the synagogues, and the chief rooms at feasts;(KJV-1611) Luk 20:46 Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo; yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik; lè y' al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo; nan resepsyon yo chache pi bon plas la.(Creole-HT) ======= Luke 20:47 ============ Luk 20:47 Which devour widows' houses, and for a shew make long prayers: the same shall receive greater damnation.(KJV-1611) Luk 20:47 Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.(Creole-HT) ======= Luke 21:1 ============ Luk 21:1 And he looked up, and saw the rich men casting their gifts into the treasury.(KJV-1611) Luk 21:1 Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Luke 21:2 ============ Luk 21:2 And he saw also a certain poor widow casting in thither two mites.(KJV-1611) Luk 21:2 Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv.(Creole-HT) ======= Luke 21:3 ============ Luk 21:3 And he said, Of a truth I say unto you, that this poor widow hath cast in more than they all:(KJV-1611) Luk 21:3 Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo.(Creole-HT) ======= Luke 21:4 ============ Luk 21:4 For all these have of their abundance cast in unto the offerings of God: but she of her penury hath cast in all the living that she had.(KJV-1611) Luk 21:4 Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv.(Creole-HT) ======= Luke 21:5 ============ Luk 21:5 And as some spake of the temple, how it was adorned with goodly stones and gifts, he said,(KJV-1611) Luk 21:5 Te gen kèk moun ki t'ap pale sou tanp lan; yo t'ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di:(Creole-HT) ======= Luke 21:6 ============ Luk 21:6 As for these things which ye behold, the days will come, in the which there shall not be left one stone upon another, that shall not be thrown down.(KJV-1611) Luk 21:6 Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.(Creole-HT) ======= Luke 21:7 ============ Luk 21:7 And they asked him, saying, Master, but when shall these things be? and what sign will there be when these things shall come to pass?(KJV-1611) Luk 21:7 Yo mande li: Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive?(Creole-HT) ======= Luke 21:8 ============ Luk 21:8 And he said, Take heed that ye be not deceived: for many shall come in my name, saying, I am Christ; and the time draweth near: go ye not therefore after them.(KJV-1611) Luk 21:8 Jezi di yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, plizyè moun va vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la, ou ankò jou a rive! Pa koute yo.(Creole-HT) ======= Luke 21:9 ============ Luk 21:9 But when ye shall hear of wars and commotions, be not terrified: for these things must first come to pass; but the end is not by and by.(KJV-1611) Luk 21:9 Lè n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa.(Creole-HT) ======= Luke 21:10 ============ Luk 21:10 Then said he unto them, Nation shall rise against nation, and kingdom against kingdom:(KJV-1611) Luk 21:10 Li di yo ankò: Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp; yon peyi va atake yon lòt peyi.(Creole-HT) ======= Luke 21:11 ============ Luk 21:11 And great earthquakes shall be in divers places, and famines, and pestilences; and fearful sights and great signs shall there be from heaven.(KJV-1611) Luk 21:11 Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la.(Creole-HT) ======= Luke 21:12 ============ Luk 21:12 But before all these, they shall lay their hands on you, and persecute you, delivering you up to the synagogues, and into prisons, being brought before kings and rulers for my name's sake.(KJV-1611) Luk 21:12 Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.(Creole-HT) ======= Luke 21:13 ============ Luk 21:13 And it shall turn to you for a testimony.(KJV-1611) Luk 21:13 Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.(Creole-HT) ======= Luke 21:14 ============ Luk 21:14 Settle it therefore in your hearts, not to meditate before what ye shall answer:(KJV-1611) Luk 21:14 Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou.(Creole-HT) ======= Luke 21:15 ============ Luk 21:15 For I will give you a mouth and wisdom, which all your adversaries shall not be able to gainsay nor resist.(KJV-1611) Luk 21:15 Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.(Creole-HT) ======= Luke 21:16 ============ Luk 21:16 And ye shall be betrayed both by parents, and brethren, and kinsfolks, and friends; and some of you shall they cause to be put to death.(KJV-1611) Luk 21:16 Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou.(Creole-HT) ======= Luke 21:17 ============ Luk 21:17 And ye shall be hated of all men for my name's sake.(KJV-1611) Luk 21:17 Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.(Creole-HT) ======= Luke 21:18 ============ Luk 21:18 But there shall not an hair of your head perish.(KJV-1611) Luk 21:18 Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi.(Creole-HT) ======= Luke 21:19 ============ Luk 21:19 In your patience possess ye your souls.(KJV-1611) Luk 21:19 Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.(Creole-HT) ======= Luke 21:20 ============ Luk 21:20 And when ye shall see Jerusalem compassed with armies, then know that the desolation thereof is nigh.(KJV-1611) Luk 21:20 Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt.(Creole-HT) ======= Luke 21:21 ============ Luk 21:21 Then let them which are in Judaea flee to the mountains; and let them which are in the midst of it depart out; and let not them that are in the countries enter thereinto.(KJV-1611) Luk 21:21 Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn; moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil.(Creole-HT) ======= Luke 21:22 ============ Luk 21:22 For these be the days of vengeance, that all things which are written may be fulfilled.(KJV-1611) Luk 21:22 Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.(Creole-HT) ======= Luke 21:23 ============ Luk 21:23 But woe unto them that are with child, and to them that give suck, in those days! for there shall be great distress in the land, and wrath upon this people.(KJV-1611) Luk 21:23 Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a.(Creole-HT) ======= Luke 21:24 ============ Luk 21:24 And they shall fall by the edge of the sword, and shall be led away captive into all nations: and Jerusalem shall be trodden down of the Gentiles, until the times of the Gentiles be fulfilled.(KJV-1611) Luk 21:24 Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.(Creole-HT) ======= Luke 21:25 ============ Luk 21:25 And there shall be signs in the sun, and in the moon, and in the stars; and upon the earth distress of nations, with perplexity; the sea and the waves roaring;(KJV-1611) Luk 21:25 Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.(Creole-HT) ======= Luke 21:26 ============ Luk 21:26 Men's hearts failing them for fear, and for looking after those things which are coming on the earth: for the powers of heaven shall be shaken.(KJV-1611) Luk 21:26 Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.(Creole-HT) ======= Luke 21:27 ============ Luk 21:27 And then shall they see the Son of man coming in a cloud with power and great glory.(KJV-1611) Luk 21:27 Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.(Creole-HT) ======= Luke 21:28 ============ Luk 21:28 And when these things begin to come to pass, then look up, and lift up your heads; for your redemption draweth nigh.(KJV-1611) Luk 21:28 Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Luke 21:29 ============ Luk 21:29 And he spake to them a parable; Behold the fig tree, and all the trees;(KJV-1611) Luk 21:29 Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo.(Creole-HT) ======= Luke 21:30 ============ Luk 21:30 When they now shoot forth, ye see and know of your own selves that summer is now nigh at hand.(KJV-1611) Luk 21:30 Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou.(Creole-HT) ======= Luke 21:31 ============ Luk 21:31 So likewise ye, when ye see these things come to pass, know ye that the kingdom of God is nigh at hand.(KJV-1611) Luk 21:31 Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre.(Creole-HT) ======= Luke 21:32 ============ Luk 21:32 Verily I say unto you, This generation shall not pass away, till all be fulfilled.(KJV-1611) Luk 21:32 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.(Creole-HT) ======= Luke 21:33 ============ Luk 21:33 Heaven and earth shall pass away: but my words shall not pass away.(KJV-1611) Luk 21:33 Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.(Creole-HT) ======= Luke 21:34 ============ Luk 21:34 And take heed to yourselves, lest at any time your hearts be overcharged with surfeiting, and drunkenness, and cares of this life, and so that day come upon you unawares.(KJV-1611) Luk 21:34 Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.(Creole-HT) ======= Luke 21:35 ============ Luk 21:35 For as a snare shall it come on all them that dwell on the face of the whole earth.(KJV-1611) Luk 21:35 Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè.(Creole-HT) ======= Luke 21:36 ============ Luk 21:36 Watch ye therefore, and pray always, that ye may be accounted worthy to escape all these things that shall come to pass, and to stand before the Son of man.(KJV-1611) Luk 21:36 Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= Luke 21:37 ============ Luk 21:37 And in the day time he was teaching in the temple; and at night he went out, and abode in the mount that is called the mount of Olives.(KJV-1611) Luk 21:37 Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn soti al pase nwit sou mòn Oliv la.(Creole-HT) ======= Luke 21:38 ============ Luk 21:38 And all the people came early in the morning to him in the temple, for to hear him.(KJV-1611) Luk 21:38 Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l' t'ap di.(Creole-HT) ======= Luke 22:1 ============ Luk 22:1 Now the feast of unleavened bread drew nigh, which is called the Passover.(KJV-1611) Luk 22:1 Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.(Creole-HT) ======= Luke 22:2 ============ Luk 22:2 And the chief priests and scribes sought how they might kill him; for they feared the people.(KJV-1611) Luk 22:2 Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.(Creole-HT) ======= Luke 22:3 ============ Luk 22:3 Then entered Satan into Judas surnamed Iscariot, being of the number of the twelve.(KJV-1611) Luk 22:3 Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.(Creole-HT) ======= Luke 22:4 ============ Luk 22:4 And he went his way, and communed with the chief priests and captains, how he might betray him unto them.(KJV-1611) Luk 22:4 Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 22:5 ============ Luk 22:5 And they were glad, and covenanted to give him money.(KJV-1611) Luk 22:5 Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan.(Creole-HT) ======= Luke 22:6 ============ Luk 22:6 And he promised, and sought opportunity to betray him unto them in the absence of the multitude.(KJV-1611) Luk 22:6 Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.(Creole-HT) ======= Luke 22:7 ============ Luk 22:7 Then came the day of unleavened bread, when the passover must be killed.(KJV-1611) Luk 22:7 Jou fèt Pen san ledven an te rive; se jou sa a pou yo te touye ti mouton yo pou manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Luke 22:8 ============ Luk 22:8 And he sent Peter and John, saying, Go and prepare us the passover, that we may eat.(KJV-1611) Luk 22:8 Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo konsa: Ale pare manje Delivrans lan pou n' kapab manje li.(Creole-HT) ======= Luke 22:9 ============ Luk 22:9 And they said unto him, Where wilt thou that we prepare?(KJV-1611) Luk 22:9 Yo mande li: Ki bò ou ta vle nou pare li?(Creole-HT) ======= Luke 22:10 ============ Luk 22:10 And he said unto them, Behold, when ye are entered into the city, there shall a man meet you, bearing a pitcher of water; follow him into the house where he entereth in.(KJV-1611) Luk 22:10 Li di yo: Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo; swiv li jouk nan kay kote la antre a.(Creole-HT) ======= Luke 22:11 ============ Luk 22:11 And ye shall say unto the goodman of the house, The Master saith unto thee, Where is the guestchamber, where I shall eat the passover with my disciples?(KJV-1611) Luk 22:11 N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?(Creole-HT) ======= Luke 22:12 ============ Luk 22:12 And he shall shew you a large upper room furnished: there make ready.(KJV-1611) Luk 22:12 Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Luke 22:13 ============ Luk 22:13 And they went, and found as he had said unto them: and they made ready the passover.(KJV-1611) Luk 22:13 Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= Luke 22:14 ============ Luk 22:14 And when the hour was come, he sat down, and the twelve apostles with him.(KJV-1611) Luk 22:14 Lè lè a rive, Jezi chita bò tab la avèk apòt yo pou manje.(Creole-HT) ======= Luke 22:15 ============ Luk 22:15 And he said unto them, With desire I have desired to eat this passover with you before I suffer:(KJV-1611) Luk 22:15 Li di yo: Mwen pa t' manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n' anvan m' al soufri.(Creole-HT) ======= Luke 22:16 ============ Luk 22:16 For I say unto you, I will not any more eat thereof, until it be fulfilled in the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 22:16 Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l' ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.(Creole-HT) ======= Luke 22:17 ============ Luk 22:17 And he took the cup, and gave thanks, and said, Take this, and divide it among yourselves:(KJV-1611) Luk 22:17 Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l' di: Men gode sa a, separe l' bay chak moun nan nou;(Creole-HT) ======= Luke 22:18 ============ Luk 22:18 For I say unto you, I will not drink of the fruit of the vine, until the kingdom of God shall come.(KJV-1611) Luk 22:18 paske, m'ap di nou sa, depi koulye a mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.(Creole-HT) ======= Luke 22:19 ============ Luk 22:19 And he took bread, and gave thanks, and brake it, and gave unto them, saying, This is my body which is given for you: this do in remembrance of me.(KJV-1611) Luk 22:19 Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.(Creole-HT) ======= Luke 22:20 ============ Luk 22:20 Likewise also the cup after supper, saying, This cup is the new testament in my blood, which is shed for you.(KJV-1611) Luk 22:20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'.(Creole-HT) ======= Luke 22:21 ============ Luk 22:21 But, behold, the hand of him that betrayeth me is with me on the table.(KJV-1611) Luk 22:21 Men gade! Moun k'ap trayi m' lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!(Creole-HT) ======= Luke 22:22 ============ Luk 22:22 And truly the Son of man goeth, as it was determined: but woe unto that man by whom he is betrayed!(KJV-1611) Luk 22:22 Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l' la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l' la!(Creole-HT) ======= Luke 22:23 ============ Luk 22:23 And they began to enquire among themselves, which of them it was that should do this thing.(KJV-1611) Luk 22:23 Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.(Creole-HT) ======= Luke 22:24 ============ Luk 22:24 And there was also a strife among them, which of them should be accounted the greatest.(KJV-1611) Luk 22:24 Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo. Yo te vle konnen kilès nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.(Creole-HT) ======= Luke 22:25 ============ Luk 22:25 And he said unto them, The kings of the Gentiles exercise lordship over them; and they that exercise authority upon them are called benefactors.(KJV-1611) Luk 22:25 Jezi di yo: Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa.(Creole-HT) ======= Luke 22:26 ============ Luk 22:26 But ye shall not be so: but he that is greatest among you, let him be as the younger; and he that is chief, as he that doth serve.(KJV-1611) Luk 22:26 Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, sak pi grannèg nan mitan nou an, se pou l' tankou pi piti a; sa k'ap kòmande a, se pou l' tankou sa k'ap sèvi a.(Creole-HT) ======= Luke 22:27 ============ Luk 22:27 For whether is greater, he that sitteth at meat, or he that serveth? is not he that sitteth at meat? but I am among you as he that serveth.(KJV-1611) Luk 22:27 Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k'ap sèvi l' la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.(Creole-HT) ======= Luke 22:28 ============ Luk 22:28 Ye are they which have continued with me in my temptations.(KJV-1611) Luk 22:28 Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m' nan tout tribilasyon mwen yo.(Creole-HT) ======= Luke 22:29 ============ Luk 22:29 And I appoint unto you a kingdom, as my Father hath appointed unto me;(KJV-1611) Luk 22:29 Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.(Creole-HT) ======= Luke 22:30 ============ Luk 22:30 That ye may eat and drink at my table in my kingdom, and sit on thrones judging the twelve tribes of Israel.(KJV-1611) Luk 22:30 N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Luke 22:31 ============ Luk 22:31 And the Lord said, Simon, Simon, behold, Satan hath desired to have you, that he may sift you as wheat:(KJV-1611) Luk 22:31 Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l' pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen.(Creole-HT) ======= Luke 22:32 ============ Luk 22:32 But I have prayed for thee, that thy faith fail not: and when thou art converted, strengthen thy brethren.(KJV-1611) Luk 22:32 Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.(Creole-HT) ======= Luke 22:33 ============ Luk 22:33 And he said unto him, Lord, I am ready to go with thee, both into prison, and to death.(KJV-1611) Luk 22:33 Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m' al nan prizon avè ou, pou m' mouri menm avè ou.(Creole-HT) ======= Luke 22:34 ============ Luk 22:34 And he said, I tell thee, Peter, the cock shall not crow this day, before that thou shalt thrice deny that thou knowest me.(KJV-1611) Luk 22:34 Jezi reponn li: Pyè, tande sa m'ap di ou: kòk p'ap gen tan chante jòdi a, w'ap di ou pa konnen m' pandan twa fwa.(Creole-HT) ======= Luke 22:35 ============ Luk 22:35 And he said unto them, When I sent you without purse, and scrip, and shoes, lacked ye any thing? And they said, Nothing.(KJV-1611) Luk 22:35 Jezi di yo ankò: Lè m' te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t' manke anyen.(Creole-HT) ======= Luke 22:36 ============ Luk 22:36 Then said he unto them, But now, he that hath a purse, let him take it, and likewise his scrip: and he that hath no sword, let him sell his garment, and buy one.(KJV-1611) Luk 22:36 Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l' pran l'; sa ki gen manje se pou l' pran l' tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l' vann rad li pou l' achte yonn.(Creole-HT) ======= Luke 22:37 ============ Luk 22:37 For I say unto you, that this that is written must yet be accomplished in me, And he was reckoned among the transgressors: for the things concerning me have an end.(KJV-1611) Luk 22:37 Paske, tande byen sa m'ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l' ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.(Creole-HT) ======= Luke 22:38 ============ Luk 22:38 And they said, Lord, behold, here are two swords. And he said unto them, It is enough.(KJV-1611) Luk 22:38 Disip yo di li: Mèt, men de nepe. Li di yo: Sa kont.(Creole-HT) ======= Luke 22:39 ============ Luk 22:39 And he came out, and went, as he was wont, to the mount of Olives; and his disciples also followed him.(KJV-1611) Luk 22:39 Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l' te konn fè a. Disip yo swiv li.(Creole-HT) ======= Luke 22:40 ============ Luk 22:40 And when he was at the place, he said unto them, Pray that ye enter not into temptation.(KJV-1611) Luk 22:40 Lè l' rive, li di yo: Lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.(Creole-HT) ======= Luke 22:41 ============ Luk 22:41 And he was withdrawn from them about a stone's cast, and kneeled down, and prayed,(KJV-1611) Luk 22:41 Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.(Creole-HT) ======= Luke 22:42 ============ Luk 22:42 Saying, Father, if thou be willing, remove this cup from me: nevertheless not my will, but thine, be done.(KJV-1611) Luk 22:42 Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m' ki pou fèt, se volonte pa ou.(Creole-HT) ======= Luke 22:43 ============ Luk 22:43 And there appeared an angel unto him from heaven, strengthening him.(KJV-1611) Luk 22:43 Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.(Creole-HT) ======= Luke 22:44 ============ Luk 22:44 And being in an agony he prayed more earnestly: and his sweat was as it were great drops of blood falling down to the ground.(KJV-1611) Luk 22:44 Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.(Creole-HT) ======= Luke 22:45 ============ Luk 22:45 And when he rose up from prayer, and was come to his disciples, he found them sleeping for sorrow,(KJV-1611) Luk 22:45 Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.(Creole-HT) ======= Luke 22:46 ============ Luk 22:46 And said unto them, Why sleep ye? rise and pray, lest ye enter into temptation.(KJV-1611) Luk 22:46 Li di yo: Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n' pa tonbe anba tantasyon.(Creole-HT) ======= Luke 22:47 ============ Luk 22:47 And while he yet spake, behold a multitude, and he that was called Judas, one of the twelve, went before them, and drew near unto Jesus to kiss him.(KJV-1611) Luk 22:47 Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.(Creole-HT) ======= Luke 22:48 ============ Luk 22:48 But Jesus said unto him, Judas, betrayest thou the Son of man with a kiss?(KJV-1611) Luk 22:48 Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?(Creole-HT) ======= Luke 22:49 ============ Luk 22:49 When they which were about him saw what would follow, they said unto him, Lord, shall we smite with the sword?(KJV-1611) Luk 22:49 Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sak t'apral rive, yo mande li: Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?(Creole-HT) ======= Luke 22:50 ============ Luk 22:50 And one of them smote the servant of the high priest, and cut off his right ear.(KJV-1611) Luk 22:50 Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.(Creole-HT) ======= Luke 22:51 ============ Luk 22:51 And Jesus answered and said, Suffer ye thus far. And he touched his ear, and healed him.(KJV-1611) Luk 22:51 Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.(Creole-HT) ======= Luke 22:52 ============ Luk 22:52 Then Jesus said unto the chief priests, and captains of the temple, and the elders, which were come to him, Be ye come out, as against a thief, with swords and staves?(KJV-1611) Luk 22:52 Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.(Creole-HT) ======= Luke 22:53 ============ Luk 22:53 When I was daily with you in the temple, ye stretched forth no hands against me: but this is your hour, and the power of darkness.(KJV-1611) Luk 22:53 Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.(Creole-HT) ======= Luke 22:54 ============ Luk 22:54 Then took they him, and led him, and brought him into the high priest's house. And Peter followed afar off.(KJV-1611) Luk 22:54 Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.(Creole-HT) ======= Luke 22:55 ============ Luk 22:55 And when they had kindled a fire in the midst of the hall, and were set down together, Peter sat down among them.(KJV-1611) Luk 22:55 Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.(Creole-HT) ======= Luke 22:56 ============ Luk 22:56 But a certain maid beheld him as he sat by the fire, and earnestly looked upon him, and said, This man was also with him.(KJV-1611) Luk 22:56 Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a; li fiske je l' sou li, li di: Nonm sa a te avèk li tou.(Creole-HT) ======= Luke 22:57 ============ Luk 22:57 And he denied him, saying, Woman, I know him not.(KJV-1611) Luk 22:57 Men, Pyè demanti l', li di: Madanm, mwen pa konnen li.(Creole-HT) ======= Luke 22:58 ============ Luk 22:58 And after a little while another saw him, and said, Thou art also of them. And Peter said, Man, I am not.(KJV-1611) Luk 22:58 Yon kadè apre, yon lòt wè l', epi l' di: Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 22:59 ============ Luk 22:59 And about the space of one hour after another confidently affirmed, saying, Of a truth this fellow also was with him: for he is a Galilaean.(KJV-1611) Luk 22:59 Apre yon bon ti moman, yon lòt di l' ankò: Men wi, nonm sa a te avè l'. Se moun Galile li ye.(Creole-HT) ======= Luke 22:60 ============ Luk 22:60 And Peter said, Man, I know not what thou sayest. And immediately, while he yet spake, the cock crew.(KJV-1611) Luk 22:60 Pyè reponn li: Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante.(Creole-HT) ======= Luke 22:61 ============ Luk 22:61 And the Lord turned, and looked upon Peter. And Peter remembered the word of the Lord, how he had said unto him, Before the cock crow, thou shalt deny me thrice.(KJV-1611) Luk 22:61 Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l': Jòdi a, kòk p'ap gen tan chante, w'ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.(Creole-HT) ======= Luke 22:62 ============ Luk 22:62 And Peter went out, and wept bitterly.(KJV-1611) Luk 22:62 Pyè soti, epi li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.(Creole-HT) ======= Luke 22:63 ============ Luk 22:63 And the men that held Jesus mocked him, and smote him.(KJV-1611) Luk 22:63 Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou.(Creole-HT) ======= Luke 22:64 ============ Luk 22:64 And when they had blindfolded him, they struck him on the face, and asked him, saying, Prophesy, who is it that smote thee?(KJV-1611) Luk 22:64 Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?(Creole-HT) ======= Luke 22:65 ============ Luk 22:65 And many other things blasphemously spake they against him.(KJV-1611) Luk 22:65 Epi yo t'ap di l' anpil lòt jouman ankò.(Creole-HT) ======= Luke 22:66 ============ Luk 22:66 And as soon as it was day, the elders of the people and the chief priests and the scribes came together, and led him into their council, saying,(KJV-1611) Luk 22:66 Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.(Creole-HT) ======= Luke 22:67 ============ Luk 22:67 Art thou the Christ? tell us. And he said unto them, If I tell you, ye will not believe:(KJV-1611) Luk 22:67 Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.(Creole-HT) ======= Luke 22:68 ============ Luk 22:68 And if I also ask you, ye will not answer me, nor let me go.(KJV-1611) Luk 22:68 Si m' poze nou yon keksyon, nou p'ap vle reponn mwen.(Creole-HT) ======= Luke 22:69 ============ Luk 22:69 Hereafter shall the Son of man sit on the right hand of the power of God.(KJV-1611) Luk 22:69 Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.(Creole-HT) ======= Luke 22:70 ============ Luk 22:70 Then said they all, Art thou then the Son of God? And he said unto them, Ye say that I am.(KJV-1611) Luk 22:70 Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.(Creole-HT) ======= Luke 22:71 ============ Luk 22:71 And they said, What need we any further witness? for we ourselves have heard of his own mouth.(KJV-1611) Luk 22:71 Lè sa a yo di: Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fèk tande pawòl ki soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= Luke 23:1 ============ Luk 23:1 And the whole multitude of them arose, and led him unto Pilate.(KJV-1611) Luk 23:1 Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat.(Creole-HT) ======= Luke 23:2 ============ Luk 23:2 And they began to accuse him, saying, We found this fellow perverting the nation, and forbidding to give tribute to Caesar, saying that he himself is Christ a King.(KJV-1611) Luk 23:2 Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.(Creole-HT) ======= Luke 23:3 ============ Luk 23:3 And Pilate asked him, saying, Art thou the King of the Jews? And he answered him and said, Thou sayest it.(KJV-1611) Luk 23:3 Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.(Creole-HT) ======= Luke 23:4 ============ Luk 23:4 Then said Pilate to the chief priests and to the people, I find no fault in this man.(KJV-1611) Luk 23:4 Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.(Creole-HT) ======= Luke 23:5 ============ Luk 23:5 And they were the more fierce, saying, He stirreth up the people, teaching throughout all Jewry, beginning from Galilee to this place.(KJV-1611) Luk 23:5 Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.(Creole-HT) ======= Luke 23:6 ============ Luk 23:6 When Pilate heard of Galilee, he asked whether the man were a Galilaean.(KJV-1611) Luk 23:6 Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.(Creole-HT) ======= Luke 23:7 ============ Luk 23:7 And as soon as he knew that he belonged unto Herod's jurisdiction, he sent him to Herod, who himself also was at Jerusalem at that time.(KJV-1611) Luk 23:7 Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a.(Creole-HT) ======= Luke 23:8 ============ Luk 23:8 And when Herod saw Jesus, he was exceeding glad: for he was desirous to see him of a long season, because he had heard many things of him; and he hoped to have seen some miracle done by him.(KJV-1611) Luk 23:8 Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.(Creole-HT) ======= Luke 23:9 ============ Luk 23:9 Then he questioned with him in many words; but he answered him nothing.(KJV-1611) Luk 23:9 Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.(Creole-HT) ======= Luke 23:10 ============ Luk 23:10 And the chief priests and scribes stood and vehemently accused him.(KJV-1611) Luk 23:10 Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 23:11 ============ Luk 23:11 And Herod with his men of war set him at nought, and mocked him, and arrayed him in a gorgeous robe, and sent him again to Pilate.(KJV-1611) Luk 23:11 Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat.(Creole-HT) ======= Luke 23:12 ============ Luk 23:12 And the same day Pilate and Herod were made friends together: for before they were at enmity between themselves.(KJV-1611) Luk 23:12 Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.(Creole-HT) ======= Luke 23:13 ============ Luk 23:13 And Pilate, when he had called together the chief priests and the rulers and the people,(KJV-1611) Luk 23:13 Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la.(Creole-HT) ======= Luke 23:14 ============ Luk 23:14 Said unto them, Ye have brought this man unto me, as one that perverteth the people: and, behold, I, having examined him before you, have found no fault in this man touching those things whereof ye accuse him:(KJV-1611) Luk 23:14 Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.(Creole-HT) ======= Luke 23:15 ============ Luk 23:15 No, nor yet Herod: for I sent you to him; and, lo, nothing worthy of death is done unto him.(KJV-1611) Luk 23:15 Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l' tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 23:16 ============ Luk 23:16 I will therefore chastise him, and release him.(KJV-1611) Luk 23:16 Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li.(Creole-HT) ======= Luke 23:17 ============ Luk 23:17 (For of necessity he must release one unto them at the feast.)(KJV-1611) Luk 23:17 Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo.(Creole-HT) ======= Luke 23:18 ============ Luk 23:18 And they cried out all at once, saying, Away with this man, and release unto us Barabbas:(KJV-1611) Luk 23:18 Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.(Creole-HT) ======= Luke 23:19 ============ Luk 23:19 (Who for a certain sedition made in the city, and for murder, was cast into prison.)(KJV-1611) Luk 23:19 Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.(Creole-HT) ======= Luke 23:20 ============ Luk 23:20 Pilate therefore, willing to release Jesus, spake again to them.(KJV-1611) Luk 23:20 Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.(Creole-HT) ======= Luke 23:21 ============ Luk 23:21 But they cried, saying, Crucify him, crucify him.(KJV-1611) Luk 23:21 Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa!(Creole-HT) ======= Luke 23:22 ============ Luk 23:22 And he said unto them the third time, Why, what evil hath he done? I have found no cause of death in him: I will therefore chastise him, and let him go.(KJV-1611) Luk 23:22 Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?(Creole-HT) ======= Luke 23:23 ============ Luk 23:23 And they were instant with loud voices, requiring that he might be crucified. And the voices of them and of the chief priests prevailed.(KJV-1611) Luk 23:23 Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.(Creole-HT) ======= Luke 23:24 ============ Luk 23:24 And Pilate gave sentence that it should be as they required.(KJV-1611) Luk 23:24 Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a.(Creole-HT) ======= Luke 23:25 ============ Luk 23:25 And he released unto them him that for sedition and murder was cast into prison, whom they had desired; but he delivered Jesus to their will.(KJV-1611) Luk 23:25 Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.(Creole-HT) ======= Luke 23:26 ============ Luk 23:26 And as they led him away, they laid hold upon one Simon, a Cyrenian, coming out of the country, and on him they laid the cross, that he might bear it after Jesus.(KJV-1611) Luk 23:26 Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 23:27 ============ Luk 23:27 And there followed him a great company of people, and of women, which also bewailed and lamented him.(KJV-1611) Luk 23:27 Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li.(Creole-HT) ======= Luke 23:28 ============ Luk 23:28 But Jesus turning unto them said, Daughters of Jerusalem, weep not for me, but weep for yourselves, and for your children.(KJV-1611) Luk 23:28 Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.(Creole-HT) ======= Luke 23:29 ============ Luk 23:29 For, behold, the days are coming, in the which they shall say, Blessed are the barren, and the wombs that never bare, and the paps which never gave suck.(KJV-1611) Luk 23:29 Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.(Creole-HT) ======= Luke 23:30 ============ Luk 23:30 Then shall they begin to say to the mountains, Fall on us; and to the hills, Cover us.(KJV-1611) Luk 23:30 Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!(Creole-HT) ======= Luke 23:31 ============ Luk 23:31 For if they do these things in a green tree, what shall be done in the dry?(KJV-1611) Luk 23:31 Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?(Creole-HT) ======= Luke 23:32 ============ Luk 23:32 And there were also two other, malefactors, led with him to be put to death.(KJV-1611) Luk 23:32 Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 23:33 ============ Luk 23:33 And when they were come to the place, which is called Calvary, there they crucified him, and the malefactors, one on the right hand, and the other on the left.(KJV-1611) Luk 23:33 Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.(Creole-HT) ======= Luke 23:34 ============ Luk 23:34 Then said Jesus, Father, forgive them; for they know not what they do. And they parted his raiment, and cast lots.(KJV-1611) Luk 23:34 Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.(Creole-HT) ======= Luke 23:35 ============ Luk 23:35 And the people stood beholding. And the rulers also with them derided him, saying, He saved others; let him save himself, if he be Christ, the chosen of God.(KJV-1611) Luk 23:35 Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.(Creole-HT) ======= Luke 23:36 ============ Luk 23:36 And the soldiers also mocked him, coming to him, and offering him vinegar,(KJV-1611) Luk 23:36 Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè,(Creole-HT) ======= Luke 23:37 ============ Luk 23:37 And saying, If thou be the king of the Jews, save thyself.(KJV-1611) Luk 23:37 epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!(Creole-HT) ======= Luke 23:38 ============ Luk 23:38 And a superscription also was written over him in letters of Greek, and Latin, and Hebrew, THIS IS THE KING OF THE JEWS.(KJV-1611) Luk 23:38 Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.(Creole-HT) ======= Luke 23:39 ============ Luk 23:39 And one of the malefactors which were hanged railed on him, saying, If thou be Christ, save thyself and us.(KJV-1611) Luk 23:39 Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.(Creole-HT) ======= Luke 23:40 ============ Luk 23:40 But the other answering rebuked him, saying, Dost not thou fear God, seeing thou art in the same condemnation?(KJV-1611) Luk 23:40 Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a?(Creole-HT) ======= Luke 23:41 ============ Luk 23:41 And we indeed justly; for we receive the due reward of our deeds: but this man hath done nothing amiss.(KJV-1611) Luk 23:41 Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.(Creole-HT) ======= Luke 23:42 ============ Luk 23:42 And he said unto Jesus, Lord, remember me when thou comest into thy kingdom.(KJV-1611) Luk 23:42 Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!(Creole-HT) ======= Luke 23:43 ============ Luk 23:43 And Jesus said unto him, Verily I say unto thee, To day shalt thou be with me in paradise.(KJV-1611) Luk 23:43 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.(Creole-HT) ======= Luke 23:44 ============ Luk 23:44 And it was about the sixth hour, and there was a darkness over all the earth until the ninth hour.(KJV-1611) Luk 23:44 Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.(Creole-HT) ======= Luke 23:45 ============ Luk 23:45 And the sun was darkened, and the veil of the temple was rent in the midst.(KJV-1611) Luk 23:45 Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.(Creole-HT) ======= Luke 23:46 ============ Luk 23:46 And when Jesus had cried with a loud voice, he said, Father, into thy hands I commend my spirit: and having said thus, he gave up the ghost.(KJV-1611) Luk 23:46 Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.(Creole-HT) ======= Luke 23:47 ============ Luk 23:47 Now when the centurion saw what was done, he glorified God, saying, Certainly this was a righteous man.(KJV-1611) Luk 23:47 Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.(Creole-HT) ======= Luke 23:48 ============ Luk 23:48 And all the people that came together to that sight, beholding the things which were done, smote their breasts, and returned.(KJV-1611) Luk 23:48 Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.(Creole-HT) ======= Luke 23:49 ============ Luk 23:49 And all his acquaintance, and the women that followed him from Galilee, stood afar off, beholding these things.(KJV-1611) Luk 23:49 Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase.(Creole-HT) ======= Luke 23:50 ============ Luk 23:50 And, behold, there was a man named Joseph, a counsellor; and he was a good man, and a just:(KJV-1611) Luk 23:50 Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Luke 23:51 ============ Luk 23:51 (The same had not consented to the counsel and deed of them;) he was of Arimathaea, a city of the Jews: who also himself waited for the kingdom of God.(KJV-1611) Luk 23:51 Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.(Creole-HT) ======= Luke 23:52 ============ Luk 23:52 This man went unto Pilate, and begged the body of Jesus.(KJV-1611) Luk 23:52 Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 23:53 ============ Luk 23:53 And he took it down, and wrapped it in linen, and laid it in a sepulchre that was hewn in stone, wherein never man before was laid.(KJV-1611) Luk 23:53 Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.(Creole-HT) ======= Luke 23:54 ============ Luk 23:54 And that day was the preparation, and the sabbath drew on.(KJV-1611) Luk 23:54 Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse.(Creole-HT) ======= Luke 23:55 ============ Luk 23:55 And the women also, which came with him from Galilee, followed after, and beheld the sepulchre, and how his body was laid.(KJV-1611) Luk 23:55 Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.(Creole-HT) ======= Luke 23:56 ============ Luk 23:56 And they returned, and prepared spices and ointments; and rested the sabbath day according to the commandment.(KJV-1611) Luk 23:56 Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.(Creole-HT) ======= Luke 24:1 ============ Luk 24:1 Now upon the first day of the week, very early in the morning, they came unto the sepulchre, bringing the spices which they had prepared, and certain others with them.(KJV-1611) Luk 24:1 Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.(Creole-HT) ======= Luke 24:2 ============ Luk 24:2 And they found the stone rolled away from the sepulchre.(KJV-1611) Luk 24:2 Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a.(Creole-HT) ======= Luke 24:3 ============ Luk 24:3 And they entered in, and found not the body of the Lord Jesus.(KJV-1611) Luk 24:3 Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi.(Creole-HT) ======= Luke 24:4 ============ Luk 24:4 And it came to pass, as they were much perplexed thereabout, behold, two men stood by them in shining garments:(KJV-1611) Luk 24:4 Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.(Creole-HT) ======= Luke 24:5 ============ Luk 24:5 And as they were afraid, and bowed down their faces to the earth, they said unto them, Why seek ye the living among the dead?(KJV-1611) Luk 24:5 Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?(Creole-HT) ======= Luke 24:6 ============ Luk 24:6 He is not here, but is risen: remember how he spake unto you when he was yet in Galilee,(KJV-1611) Luk 24:6 (Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a:(Creole-HT) ======= Luke 24:7 ============ Luk 24:7 Saying, The Son of man must be delivered into the hands of sinful men, and be crucified, and the third day rise again.(KJV-1611) Luk 24:7 Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò.(Creole-HT) ======= Luke 24:8 ============ Luk 24:8 And they remembered his words,(KJV-1611) Luk 24:8 Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:9 ============ Luk 24:9 And returned from the sepulchre, and told all these things unto the eleven, and to all the rest.(KJV-1611) Luk 24:9 Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:10 ============ Luk 24:10 It was Mary Magdalene and Joanna, and Mary the mother of James, and other women that were with them, which told these things unto the apostles.(KJV-1611) Luk 24:10 Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la.(Creole-HT) ======= Luke 24:11 ============ Luk 24:11 And their words seemed to them as idle tales, and they believed them not.(KJV-1611) Luk 24:11 Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:12 ============ Luk 24:12 Then arose Peter, and ran unto the sepulchre; and stooping down, he beheld the linen clothes laid by themselves, and departed, wondering in himself at that which was come to pass.(KJV-1611) Luk 24:12 Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a.(Creole-HT) ======= Luke 24:13 ============ Luk 24:13 And, behold, two of them went that same day to a village called Emmaus, which was from Jerusalem about threescore furlongs.(KJV-1611) Luk 24:13 Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Luke 24:14 ============ Luk 24:14 And they talked together of all these things which had happened.(KJV-1611) Luk 24:14 De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase.(Creole-HT) ======= Luke 24:15 ============ Luk 24:15 And it came to pass, that, while they communed together and reasoned, Jesus himself drew near, and went with them.(KJV-1611) Luk 24:15 Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:16 ============ Luk 24:16 But their eyes were holden that they should not know him.(KJV-1611) Luk 24:16 Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.(Creole-HT) ======= Luke 24:17 ============ Luk 24:17 And he said unto them, What manner of communications are these that ye have one to another, as ye walk, and are sad?(KJV-1611) Luk 24:17 Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.(Creole-HT) ======= Luke 24:18 ============ Luk 24:18 And the one of them, whose name was Cleopas, answering said unto him, Art thou only a stranger in Jerusalem, and hast not known the things which are come to pass there in these days?(KJV-1611) Luk 24:18 Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a?(Creole-HT) ======= Luke 24:19 ============ Luk 24:19 And he said unto them, What things? And they said unto him, Concerning Jesus of Nazareth, which was a prophet mighty in deed and word before God and all the people:(KJV-1611) Luk 24:19 Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.(Creole-HT) ======= Luke 24:20 ============ Luk 24:20 And how the chief priests and our rulers delivered him to be condemned to death, and have crucified him.(KJV-1611) Luk 24:20 Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Luke 24:21 ============ Luk 24:21 But we trusted that it had been he which should have redeemed Israel: and beside all this, to day is the third day since these things were done.(KJV-1611) Luk 24:21 Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase.(Creole-HT) ======= Luke 24:22 ============ Luk 24:22 Yea, and certain women also of our company made us astonished, which were early at the sepulchre;(KJV-1611) Luk 24:22 Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a.(Creole-HT) ======= Luke 24:23 ============ Luk 24:23 And when they found not his body, they came, saying, that they had also seen a vision of angels, which said that he was alive.(KJV-1611) Luk 24:23 Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.(Creole-HT) ======= Luke 24:24 ============ Luk 24:24 And certain of them which were with us went to the sepulchre, and found it even so as the women had said: but him they saw not.(KJV-1611) Luk 24:24 Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li.(Creole-HT) ======= Luke 24:25 ============ Luk 24:25 Then he said unto them, O fools, and slow of heart to believe all that the prophets have spoken:(KJV-1611) Luk 24:25 Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!(Creole-HT) ======= Luke 24:26 ============ Luk 24:26 Ought not Christ to have suffered these things, and to enter into his glory?(KJV-1611) Luk 24:26 Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li?(Creole-HT) ======= Luke 24:27 ============ Luk 24:27 And beginning at Moses and all the prophets, he expounded unto them in all the scriptures the things concerning himself.(KJV-1611) Luk 24:27 Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:28 ============ Luk 24:28 And they drew nigh unto the village, whither they went: and he made as though he would have gone further.(KJV-1611) Luk 24:28 Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.(Creole-HT) ======= Luke 24:29 ============ Luk 24:29 But they constrained him, saying, Abide with us: for it is toward evening, and the day is far spent. And he went in to tarry with them.(KJV-1611) Luk 24:29 Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:30 ============ Luk 24:30 And it came to pass, as he sat at meat with them, he took bread, and blessed it, and brake, and gave to them.(KJV-1611) Luk 24:30 Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li.(Creole-HT) ======= Luke 24:31 ============ Luk 24:31 And their eyes were opened, and they knew him; and he vanished out of their sight.(KJV-1611) Luk 24:31 Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:32 ============ Luk 24:32 And they said one to another, Did not our heart burn within us, while he talked with us by the way, and while he opened to us the scriptures?(KJV-1611) Luk 24:32 Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo?(Creole-HT) ======= Luke 24:33 ============ Luk 24:33 And they rose up the same hour, and returned to Jerusalem, and found the eleven gathered together, and them that were with them,(KJV-1611) Luk 24:33 Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:34 ============ Luk 24:34 Saying, The Lord is risen indeed, and hath appeared to Simon.(KJV-1611) Luk 24:34 Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li.(Creole-HT) ======= Luke 24:35 ============ Luk 24:35 And they told what things were done in the way, and how he was known of them in breaking of bread.(KJV-1611) Luk 24:35 Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an.(Creole-HT) ======= Luke 24:36 ============ Luk 24:36 And as they thus spake, Jesus himself stood in the midst of them, and saith unto them, Peace be unto you.(KJV-1611) Luk 24:36 Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.(Creole-HT) ======= Luke 24:37 ============ Luk 24:37 But they were terrified and affrighted, and supposed that they had seen a spirit.(KJV-1611) Luk 24:37 Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan.(Creole-HT) ======= Luke 24:38 ============ Luk 24:38 And he said unto them, Why are ye troubled? and why do thoughts arise in your hearts?(KJV-1611) Luk 24:38 Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou?(Creole-HT) ======= Luke 24:39 ============ Luk 24:39 Behold my hands and my feet, that it is I myself: handle me, and see; for a spirit hath not flesh and bones, as ye see me have.(KJV-1611) Luk 24:39 Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an.(Creole-HT) ======= Luke 24:40 ============ Luk 24:40 And when he had thus spoken, he shewed them his hands and his feet.(KJV-1611) Luk 24:40 Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:41 ============ Luk 24:41 And while they yet believed not for joy, and wondered, he said unto them, Have ye here any meat?(KJV-1611) Luk 24:41 Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje?(Creole-HT) ======= Luke 24:42 ============ Luk 24:42 And they gave him a piece of a broiled fish, and of an honeycomb.(KJV-1611) Luk 24:42 Yo ofri l' yon moso pwason boukannen.(Creole-HT) ======= Luke 24:43 ============ Luk 24:43 And he took it, and did eat before them.(KJV-1611) Luk 24:43 Li pran l', li manje l' devan je yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:44 ============ Luk 24:44 And he said unto them, These are the words which I spake unto you, while I was yet with you, that all things must be fulfilled, which were written in the law of Moses, and in the prophets, and in the psalms, concerning me.(KJV-1611) Luk 24:44 Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.(Creole-HT) ======= Luke 24:45 ============ Luk 24:45 Then opened he their understanding, that they might understand the scriptures,(KJV-1611) Luk 24:45 Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:46 ============ Luk 24:46 And said unto them, Thus it is written, and thus it behoved Christ to suffer, and to rise from the dead the third day:(KJV-1611) Luk 24:46 Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Luke 24:47 ============ Luk 24:47 And that repentance and remission of sins should be preached in his name among all nations, beginning at Jerusalem.(KJV-1611) Luk 24:47 Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:48 ============ Luk 24:48 And ye are witnesses of these things.(KJV-1611) Luk 24:48 Nou temwen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:49 ============ Luk 24:49 And, behold, I send the promise of my Father upon you: but tarry ye in the city of Jerusalem, until ye be endued with power from on high.(KJV-1611) Luk 24:49 Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou.(Creole-HT) ======= Luke 24:50 ============ Luk 24:50 And he led them out as far as to Bethany, and he lifted up his hands, and blessed them.(KJV-1611) Luk 24:50 Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo.(Creole-HT) ======= Luke 24:51 ============ Luk 24:51 And it came to pass, while he blessed them, he was parted from them, and carried up into heaven.(KJV-1611) Luk 24:51 Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.(Creole-HT) ======= Luke 24:52 ============ Luk 24:52 And they worshipped him, and returned to Jerusalem with great joy:(KJV-1611) Luk 24:52 Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan.(Creole-HT) ======= Luke 24:53 ============ Luk 24:53 And were continually in the temple, praising and blessing God. Amen.(KJV-1611) Luk 24:53 Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= John 1:1 ============ Jn 1:1 In the beginning was the Word, and the Word was with God, and the Word was God.(KJV-1611) Jn 1:1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.(Creole-HT) ======= John 1:2 ============ Jn 1:2 The same was in the beginning with God.(KJV-1611) Jn 1:2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman.(Creole-HT) ======= John 1:3 ============ Jn 1:3 All things were made by him; and without him was not any thing made that was made.(KJV-1611) Jn 1:3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.(Creole-HT) ======= John 1:4 ============ Jn 1:4 In him was life; and the life was the light of men.(KJV-1611) Jn 1:4 Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.(Creole-HT) ======= John 1:5 ============ Jn 1:5 And the light shineth in darkness; and the darkness comprehended it not.(KJV-1611) Jn 1:5 Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t' resevwa li.(Creole-HT) ======= John 1:6 ============ Jn 1:6 There was a man sent from God, whose name was John.(KJV-1611) Jn 1:6 Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan.(Creole-HT) ======= John 1:7 ============ Jn 1:7 The same came for a witness, to bear witness of the Light, that all men through him might believe.(KJV-1611) Jn 1:7 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.(Creole-HT) ======= John 1:8 ============ Jn 1:8 He was not that Light, but was sent to bear witness of that Light.(KJV-1611) Jn 1:8 Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a.(Creole-HT) ======= John 1:9 ============ Jn 1:9 That was the true Light, which lighteth every man that cometh into the world.(KJV-1611) Jn 1:9 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun.(Creole-HT) ======= John 1:10 ============ Jn 1:10 He was in the world, and the world was made by him, and the world knew him not.(KJV-1611) Jn 1:10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li.(Creole-HT) ======= John 1:11 ============ Jn 1:11 He came unto his own, and his own received him not.(KJV-1611) Jn 1:11 Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li.(Creole-HT) ======= John 1:12 ============ Jn 1:12 But as many as received him, to them gave he power to become the sons of God, even to them that believe on his name:(KJV-1611) Jn 1:12 Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.(Creole-HT) ======= John 1:13 ============ Jn 1:13 Which were born, not of blood, nor of the will of the flesh, nor of the will of man, but of God.(KJV-1611) Jn 1:13 Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.(Creole-HT) ======= John 1:14 ============ Jn 1:14 And the Word was made flesh, and dwelt among us, (and we beheld his glory, the glory as of the only begotten of the Father,) full of grace and truth.(KJV-1611) Jn 1:14 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.(Creole-HT) ======= John 1:15 ============ Jn 1:15 John bare witness of him, and cried, saying, This was he of whom I spake, He that cometh after me is preferred before me: for he was before me.(KJV-1611) Jn 1:15 Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l' te di byen fò: Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen.(Creole-HT) ======= John 1:16 ============ Jn 1:16 And of his fulness have all we received, and grace for grace.(KJV-1611) Jn 1:16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè.(Creole-HT) ======= John 1:17 ============ Jn 1:17 For the law was given by Moses, but grace and truth came by Jesus Christ.(KJV-1611) Jn 1:17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.(Creole-HT) ======= John 1:18 ============ Jn 1:18 No man hath seen God at any time, the only begotten Son, which is in the bosom of the Father, he hath declared him.(KJV-1611) Jn 1:18 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.(Creole-HT) ======= John 1:19 ============ Jn 1:19 And this is the record of John, when the Jews sent priests and Levites from Jerusalem to ask him, Who art thou?(KJV-1611) Jn 1:19 Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye.(Creole-HT) ======= John 1:20 ============ Jn 1:20 And he confessed, and denied not; but confessed, I am not the Christ.(KJV-1611) Jn 1:20 Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.(Creole-HT) ======= John 1:21 ============ Jn 1:21 And they asked him, What then? Art thou Elias? And he saith, I am not. Art thou that prophet? And he answered, No.(KJV-1611) Jn 1:21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non.(Creole-HT) ======= John 1:22 ============ Jn 1:22 Then said they unto him, Who art thou? that we may give an answer to them that sent us. What sayest thou of thyself?(KJV-1611) Jn 1:22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?(Creole-HT) ======= John 1:23 ============ Jn 1:23 He said, I am the voice of one crying in the wilderness, Make straight the way of the Lord, as said the prophet Esaias.(KJV-1611) Jn 1:23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)(Creole-HT) ======= John 1:24 ============ Jn 1:24 And they which were sent were of the Pharisees.(KJV-1611) Jn 1:24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo.(Creole-HT) ======= John 1:25 ============ Jn 1:25 And they asked him, and said unto him, Why baptizest thou then, if thou be not that Christ, nor Elias, neither that prophet?(KJV-1611) Jn 1:25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun?(Creole-HT) ======= John 1:26 ============ Jn 1:26 John answered them, saying, I baptize with water: but there standeth one among you, whom ye know not;(KJV-1611) Jn 1:26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.(Creole-HT) ======= John 1:27 ============ Jn 1:27 He it is, who coming after me is preferred before me, whose shoe's latchet I am not worthy to unloose.(KJV-1611) Jn 1:27 L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li.(Creole-HT) ======= John 1:28 ============ Jn 1:28 These things were done in Bethabara beyond Jordan, where John was baptizing.(KJV-1611) Jn 1:28 Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a.(Creole-HT) ======= John 1:29 ============ Jn 1:29 The next day John seeth Jesus coming unto him, and saith, Behold the Lamb of God, which taketh away the sin of the world.(KJV-1611) Jn 1:29 Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè.(Creole-HT) ======= John 1:30 ============ Jn 1:30 This is he of whom I said, After me cometh a man which is preferred before me: for he was before me.(KJV-1611) Jn 1:30 Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m' men ki gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen.(Creole-HT) ======= John 1:31 ============ Jn 1:31 And I knew him not: but that he should be made manifest to Israel, therefore am I come baptizing with water.(KJV-1611) Jn 1:31 Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li.(Creole-HT) ======= John 1:32 ============ Jn 1:32 And John bare record, saying, I saw the Spirit descending from heaven like a dove, and it abode upon him.(KJV-1611) Jn 1:32 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li.(Creole-HT) ======= John 1:33 ============ Jn 1:33 And I knew him not: but he that sent me to baptize with water, the same said unto me, Upon whom thou shalt see the Spirit descending, and remaining on him, the same is he which baptizeth with the Holy Ghost.(KJV-1611) Jn 1:33 Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.(Creole-HT) ======= John 1:34 ============ Jn 1:34 And I saw, and bare record that this is the Son of God.(KJV-1611) Jn 1:34 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m', se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.(Creole-HT) ======= John 1:35 ============ Jn 1:35 Again the next day after John stood, and two of his disciples;(KJV-1611) Jn 1:35 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo.(Creole-HT) ======= John 1:36 ============ Jn 1:36 And looking upon Jesus as he walked, he saith, Behold the Lamb of God!(KJV-1611) Jn 1:36 Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.(Creole-HT) ======= John 1:37 ============ Jn 1:37 And the two disciples heard him speak, and they followed Jesus.(KJV-1611) Jn 1:37 De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi.(Creole-HT) ======= John 1:38 ============ Jn 1:38 Then Jesus turned, and saw them following, and saith unto them, What seek ye? They said unto him, Rabbi, (which is to say, being interpreted, Master,) where dwellest thou?(KJV-1611) Jn 1:38 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: Sa n'ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)(Creole-HT) ======= John 1:39 ============ Jn 1:39 He saith unto them, Come and see. They came and saw where he dwelt, and abode with him that day: for it was about the tenth hour.(KJV-1611) Jn 1:39 Li reponn yo: Vini non, n'a wè. Y' ale vre. Yo wè kote l' te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)(Creole-HT) ======= John 1:40 ============ Jn 1:40 One of the two which heard John speak, and followed him, was Andrew, Simon Peter's brother.(KJV-1611) Jn 1:40 Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.(Creole-HT) ======= John 1:41 ============ Jn 1:41 He first findeth his own brother Simon, and saith unto him, We have found the Messias, which is, being interpreted, the Christ.(KJV-1611) Jn 1:41 Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).(Creole-HT) ======= John 1:42 ============ Jn 1:42 And he brought him to Jesus. And when Jesus beheld him, he said, Thou art Simon the son of Jona: thou shalt be called Cephas, which is by interpretation, A stone.(KJV-1611) Jn 1:42 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)(Creole-HT) ======= John 1:43 ============ Jn 1:43 The day following Jesus would go forth into Galilee, and findeth Philip, and saith unto him, Follow me.(KJV-1611) Jn 1:43 Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.(Creole-HT) ======= John 1:44 ============ Jn 1:44 Now Philip was of Bethsaida, the city of Andrew and Peter.(KJV-1611) Jn 1:44 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.)(Creole-HT) ======= John 1:45 ============ Jn 1:45 Philip findeth Nathanael, and saith unto him, We have found him, of whom Moses in the law, and the prophets, did write, Jesus of Nazareth, the son of Joseph.(KJV-1611) Jn 1:45 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.(Creole-HT) ======= John 1:46 ============ Jn 1:46 And Nathanael said unto him, Can there any good thing come out of Nazareth? Philip saith unto him, Come and see.(KJV-1611) Jn 1:46 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè.(Creole-HT) ======= John 1:47 ============ Jn 1:47 Jesus saw Nathanael coming to him, and saith of him, Behold an Israelite indeed, in whom is no guile!(KJV-1611) Jn 1:47 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.(Creole-HT) ======= John 1:48 ============ Jn 1:48 Nathanael saith unto him, Whence knowest thou me? Jesus answered and said unto him, Before that Philip called thee, when thou wast under the fig tree, I saw thee.(KJV-1611) Jn 1:48 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.(Creole-HT) ======= John 1:49 ============ Jn 1:49 Nathanael answered and saith unto him, Rabbi, thou art the Son of God; thou art the King of Israel.(KJV-1611) Jn 1:49 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!(Creole-HT) ======= John 1:50 ============ Jn 1:50 Jesus answered and said unto him, Because I said unto thee, I saw thee under the fig tree, believest thou? thou shalt see greater things than these.(KJV-1611) Jn 1:50 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa.(Creole-HT) ======= John 1:51 ============ Jn 1:51 And he saith unto him, Verily, verily, I say unto you, Hereafter ye shall see heaven open, and the angels of God ascending and descending upon the Son of man.(KJV-1611) Jn 1:51 Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= John 2:1 ============ Jn 2:1 And the third day there was a marriage in Cana of Galilee; and the mother of Jesus was there:(KJV-1611) Jn 2:1 De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la,(Creole-HT) ======= John 2:2 ============ Jn 2:2 And both Jesus was called, and his disciples, to the marriage.(KJV-1611) Jn 2:2 yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.(Creole-HT) ======= John 2:3 ============ Jn 2:3 And when they wanted wine, the mother of Jesus saith unto him, They have no wine.(KJV-1611) Jn 2:3 Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non.(Creole-HT) ======= John 2:4 ============ Jn 2:4 Jesus saith unto her, Woman, what have I to do with thee? mine hour is not yet come.(KJV-1611) Jn 2:4 Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive.(Creole-HT) ======= John 2:5 ============ Jn 2:5 His mother saith unto the servants, Whatsoever he saith unto you, do it.(KJV-1611) Jn 2:5 Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè.(Creole-HT) ======= John 2:6 ============ Jn 2:6 And there were set there six waterpots of stone, after the manner of the purifying of the Jews, containing two or three firkins apiece.(KJV-1611) Jn 2:6 Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.(Creole-HT) ======= John 2:7 ============ Jn 2:7 Jesus saith unto them, Fill the waterpots with water. And they filled them up to the brim.(KJV-1611) Jn 2:7 Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.(Creole-HT) ======= John 2:8 ============ Jn 2:8 And he saith unto them, Draw out now, and bear unto the governor of the feast. And they bare it.(KJV-1611) Jn 2:8 Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.(Creole-HT) ======= John 2:9 ============ Jn 2:9 When the ruler of the feast had tasted the water that was made wine, and knew not whence it was: (but the servants which drew the water knew;) the governor of the feast called the bridegroom,(KJV-1611) Jn 2:9 Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,(Creole-HT) ======= John 2:10 ============ Jn 2:10 And saith unto him, Every man at the beginning doth set forth good wine; and when men have well drunk, then that which is worse: but thou hast kept the good wine until now.(KJV-1611) Jn 2:10 li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'.(Creole-HT) ======= John 2:11 ============ Jn 2:11 This beginning of miracles did Jesus in Cana of Galilee, and manifested forth his glory; and his disciples believed on him.(KJV-1611) Jn 2:11 Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.(Creole-HT) ======= John 2:12 ============ Jn 2:12 After this he went down to Capernaum, he, and his mother, and his brethren, and his disciples: and they continued there not many days.(KJV-1611) Jn 2:12 Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.(Creole-HT) ======= John 2:13 ============ Jn 2:13 And the Jews' passover was at hand, and Jesus went up to Jerusalem.(KJV-1611) Jn 2:13 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm.(Creole-HT) ======= John 2:14 ============ Jn 2:14 And found in the temple those that sold oxen and sheep and doves, and the changers of money sitting:(KJV-1611) Jn 2:14 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.(Creole-HT) ======= John 2:15 ============ Jn 2:15 And when he had made a scourge of small cords, he drove them all out of the temple, and the sheep, and the oxen; and poured out the changers' money, and overthrew the tables;(KJV-1611) Jn 2:15 Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.(Creole-HT) ======= John 2:16 ============ Jn 2:16 And said unto them that sold doves, Take these things hence; make not my Father's house an house of merchandise.(KJV-1611) Jn 2:16 Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès.(Creole-HT) ======= John 2:17 ============ Jn 2:17 And his disciples remembered that it was written, The zeal of thine house hath eaten me up.(KJV-1611) Jn 2:17 Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.(Creole-HT) ======= John 2:18 ============ Jn 2:18 Then answered the Jews and said unto him, What sign shewest thou unto us, seeing that thou doest these things?(KJV-1611) Jn 2:18 Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a?(Creole-HT) ======= John 2:19 ============ Jn 2:19 Jesus answered and said unto them, Destroy this temple, and in three days I will raise it up.(KJV-1611) Jn 2:19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.(Creole-HT) ======= John 2:20 ============ Jn 2:20 Then said the Jews, Forty and six years was this temple in building, and wilt thou rear it up in three days?(KJV-1611) Jn 2:20 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?(Creole-HT) ======= John 2:21 ============ Jn 2:21 But he spake of the temple of his body.(KJV-1611) Jn 2:21 Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.(Creole-HT) ======= John 2:22 ============ Jn 2:22 When therefore he was risen from the dead, his disciples remembered that he had said this unto them; and they believed the scripture, and the word which Jesus had said.(KJV-1611) Jn 2:22 Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.(Creole-HT) ======= John 2:23 ============ Jn 2:23 Now when he was in Jerusalem at the passover, in the feast day, many believed in his name, when they saw the miracles which he did.(KJV-1611) Jn 2:23 Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè.(Creole-HT) ======= John 2:24 ============ Jn 2:24 But Jesus did not commit himself unto them, because he knew all men,(KJV-1611) Jn 2:24 Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.(Creole-HT) ======= John 2:25 ============ Jn 2:25 And needed not that any should testify of man: for he knew what was in man.(KJV-1611) Jn 2:25 Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.(Creole-HT) ======= John 3:1 ============ Jn 3:1 There was a man of the Pharisees, named Nicodemus, a ruler of the Jews:(KJV-1611) Jn 3:1 Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.(Creole-HT) ======= John 3:2 ============ Jn 3:2 The same came to Jesus by night, and said unto him, Rabbi, we know that thou art a teacher come from God: for no man can do these miracles that thou doest, except God be with him.(KJV-1611) Jn 3:2 Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.(Creole-HT) ======= John 3:3 ============ Jn 3:3 Jesus answered and said unto him, Verily, verily, I say unto thee, Except a man be born again, he cannot see the kingdom of God.(KJV-1611) Jn 3:3 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.(Creole-HT) ======= John 3:4 ============ Jn 3:4 Nicodemus saith unto him, How can a man be born when he is old? can he enter the second time into his mother's womb, and be born?(KJV-1611) Jn 3:4 Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò.(Creole-HT) ======= John 3:5 ============ Jn 3:5 Jesus answered, Verily, verily, I say unto thee, Except a man be born of water and of the Spirit, he cannot enter into the kingdom of God.(KJV-1611) Jn 3:5 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.(Creole-HT) ======= John 3:6 ============ Jn 3:6 That which is born of the flesh is flesh; and that which is born of the Spirit is spirit.(KJV-1611) Jn 3:6 Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.(Creole-HT) ======= John 3:7 ============ Jn 3:7 Marvel not that I said unto thee, Ye must be born again.(KJV-1611) Jn 3:7 Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.(Creole-HT) ======= John 3:8 ============ Jn 3:8 The wind bloweth where it listeth, and thou hearest the sound thereof, but canst not tell whence it cometh, and whither it goeth: so is every one that is born of the Spirit.(KJV-1611) Jn 3:8 Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.(Creole-HT) ======= John 3:9 ============ Jn 3:9 Nicodemus answered and said unto him, How can these things be?(KJV-1611) Jn 3:9 Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm?(Creole-HT) ======= John 3:10 ============ Jn 3:10 Jesus answered and said unto him, Art thou a master of Israel, and knowest not these things?(KJV-1611) Jn 3:10 Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?(Creole-HT) ======= John 3:11 ============ Jn 3:11 Verily, verily, I say unto thee, We speak that we do know, and testify that we have seen; and ye receive not our witness.(KJV-1611) Jn 3:11 Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.(Creole-HT) ======= John 3:12 ============ Jn 3:12 If I have told you earthly things, and ye believe not, how shall ye believe, if I tell you of heavenly things?(KJV-1611) Jn 3:12 Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la?(Creole-HT) ======= John 3:13 ============ Jn 3:13 And no man hath ascended up to heaven, but he that came down from heaven, even the Son of man which is in heaven.(KJV-1611) Jn 3:13 Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la.(Creole-HT) ======= John 3:14 ============ Jn 3:14 And as Moses lifted up the serpent in the wilderness, even so must the Son of man be lifted up:(KJV-1611) Jn 3:14 Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.(Creole-HT) ======= John 3:15 ============ Jn 3:15 That whosoever believeth in him should not perish, but have eternal life.(KJV-1611) Jn 3:15 Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 3:16 ============ Jn 3:16 For God so loved the world, that he gave his only begotten Son, that whosoever believeth in him should not perish, but have everlasting life.(KJV-1611) Jn 3:16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 3:17 ============ Jn 3:17 For God sent not his Son into the world to condemn the world; but that the world through him might be saved.(KJV-1611) Jn 3:17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.(Creole-HT) ======= John 3:18 ============ Jn 3:18 He that believeth on him is not condemned: but he that believeth not is condemned already, because he hath not believed in the name of the only begotten Son of God.(KJV-1611) Jn 3:18 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.(Creole-HT) ======= John 3:19 ============ Jn 3:19 And this is the condemnation, that light is come into the world, and men loved darkness rather than light, because their deeds were evil.(KJV-1611) Jn 3:19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.(Creole-HT) ======= John 3:20 ============ Jn 3:20 For every one that doeth evil hateth the light, neither cometh to the light, lest his deeds should be reproved.(KJV-1611) Jn 3:20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.(Creole-HT) ======= John 3:21 ============ Jn 3:21 But he that doeth truth cometh to the light, that his deeds may be made manifest, that they are wrought in God.(KJV-1611) Jn 3:21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.(Creole-HT) ======= John 3:22 ============ Jn 3:22 After these things came Jesus and his disciples into the land of Judaea; and there he tarried with them, and baptized.(KJV-1611) Jn 3:22 Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.(Creole-HT) ======= John 3:23 ============ Jn 3:23 And John also was baptizing in Aenon near to Salim, because there was much water there: and they came, and were baptized.(KJV-1611) Jn 3:23 Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo.(Creole-HT) ======= John 3:24 ============ Jn 3:24 For John was not yet cast into prison.(KJV-1611) Jn 3:24 (Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jan Batis nan prizon.)(Creole-HT) ======= John 3:25 ============ Jn 3:25 Then there arose a question between some of John's disciples and the Jews about purifying.(KJV-1611) Jn 3:25 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.(Creole-HT) ======= John 3:26 ============ Jn 3:26 And they came unto John, and said unto him, Rabbi, he that was with thee beyond Jordan, to whom thou barest witness, behold, the same baptizeth, and all men come to him.(KJV-1611) Jn 3:26 Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.(Creole-HT) ======= John 3:27 ============ Jn 3:27 John answered and said, A man can receive nothing, except it be given him from heaven.(KJV-1611) Jn 3:27 Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.(Creole-HT) ======= John 3:28 ============ Jn 3:28 Ye yourselves bear me witness, that I said, I am not the Christ, but that I am sent before him.(KJV-1611) Jn 3:28 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li.(Creole-HT) ======= John 3:29 ============ Jn 3:29 He that hath the bride is the bridegroom: but the friend of the bridegroom, which standeth and heareth him, rejoiceth greatly because of the bridegroom's voice: this my joy therefore is fulfilled.(KJV-1611) Jn 3:29 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.(Creole-HT) ======= John 3:30 ============ Jn 3:30 He must increase, but I must decrease.(KJV-1611) Jn 3:30 Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.(Creole-HT) ======= John 3:31 ============ Jn 3:31 He that cometh from above is above all: he that is of the earth is earthly, and speaketh of the earth: he that cometh from heaven is above all.(KJV-1611) Jn 3:31 Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.(Creole-HT) ======= John 3:32 ============ Jn 3:32 And what he hath seen and heard, that he testifieth; and no man receiveth his testimony.(KJV-1611) Jn 3:32 L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li.(Creole-HT) ======= John 3:33 ============ Jn 3:33 He that hath received his testimony hath set to his seal that God is true.(KJV-1611) Jn 3:33 Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.(Creole-HT) ======= John 3:34 ============ Jn 3:34 For he whom God hath sent speaketh the words of God: for God giveth not the Spirit by measure unto him.(KJV-1611) Jn 3:34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.(Creole-HT) ======= John 3:35 ============ Jn 3:35 The Father loveth the Son, and hath given all things into his hand.(KJV-1611) Jn 3:35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.(Creole-HT) ======= John 3:36 ============ Jn 3:36 He that believeth on the Son hath everlasting life: and he that believeth not the Son shall not see life; but the wrath of God abideth on him.(KJV-1611) Jn 3:36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= John 4:1 ============ Jn 4:1 When therefore the LORD knew how the Pharisees had heard that Jesus made and baptized more disciples than John,(KJV-1611) Jn 4:1 Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.(Creole-HT) ======= John 4:2 ============ Jn 4:2 (Though Jesus himself baptized not, but his disciples,)(KJV-1611) Jn 4:2 (Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.)(Creole-HT) ======= John 4:3 ============ Jn 4:3 He left Judaea, and departed again into Galilee.(KJV-1611) Jn 4:3 Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 4:4 ============ Jn 4:4 And he must needs go through Samaria.(KJV-1611) Jn 4:4 Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari.(Creole-HT) ======= John 4:5 ============ Jn 4:5 Then cometh he to a city of Samaria, which is called Sychar, near to the parcel of ground that Jacob gave to his son Joseph.(KJV-1611) Jn 4:5 Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan.(Creole-HT) ======= John 4:6 ============ Jn 4:6 Now Jacob's well was there. Jesus therefore, being wearied with his journey, sat thus on the well: and it was about the sixth hour.(KJV-1611) Jn 4:6 Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.(Creole-HT) ======= John 4:7 ============ Jn 4:7 There cometh a woman of Samaria to draw water: Jesus saith unto her, Give me to drink.(KJV-1611) Jn 4:7 Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.(Creole-HT) ======= John 4:8 ============ Jn 4:8 (For his disciples were gone away unto the city to buy meat.)(KJV-1611) Jn 4:8 (Disip li yo te ale lavil la achte manje.)(Creole-HT) ======= John 4:9 ============ Jn 4:9 Then saith the woman of Samaria unto him, How is it that thou, being a Jew, askest drink of me, which am a woman of Samaria? for the Jews have no dealings with the Samaritans.(KJV-1611) Jn 4:9 Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.)(Creole-HT) ======= John 4:10 ============ Jn 4:10 Jesus answered and said unto her, If thou knewest the gift of God, and who it is that saith to thee, Give me to drink; thou wouldest have asked of him, and he would have given thee living water.(KJV-1611) Jn 4:10 Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.(Creole-HT) ======= John 4:11 ============ Jn 4:11 The woman saith unto him, Sir, thou hast nothing to draw with, and the well is deep: from whence then hast thou that living water?(KJV-1611) Jn 4:11 Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?(Creole-HT) ======= John 4:12 ============ Jn 4:12 Art thou greater than our father Jacob, which gave us the well, and drank thereof himself, and his children, and his cattle?(KJV-1611) Jn 4:12 Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb?(Creole-HT) ======= John 4:13 ============ Jn 4:13 Jesus answered and said unto her, Whosoever drinketh of this water shall thirst again:(KJV-1611) Jn 4:13 Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò.(Creole-HT) ======= John 4:14 ============ Jn 4:14 But whosoever drinketh of the water that I shall give him shall never thirst; but the water that I shall give him shall be in him a well of water springing up into everlasting life.(KJV-1611) Jn 4:14 Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 4:15 ============ Jn 4:15 The woman saith unto him, Sir, give me this water, that I thirst not, neither come hither to draw.(KJV-1611) Jn 4:15 Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.(Creole-HT) ======= John 4:16 ============ Jn 4:16 Jesus saith unto her, Go, call thy husband, and come hither.(KJV-1611) Jn 4:16 Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.(Creole-HT) ======= John 4:17 ============ Jn 4:17 The woman answered and said, I have no husband. Jesus said unto her, Thou hast well said, I have no husband:(KJV-1611) Jn 4:17 Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari.(Creole-HT) ======= John 4:18 ============ Jn 4:18 For thou hast had five husbands; and he whom thou now hast is not thy husband: in that saidst thou truly.(KJV-1611) Jn 4:18 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.(Creole-HT) ======= John 4:19 ============ Jn 4:19 The woman saith unto him, Sir, I perceive that thou art a prophet.(KJV-1611) Jn 4:19 Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye?(Creole-HT) ======= John 4:20 ============ Jn 4:20 Our fathers worshipped in this mountain; and ye say, that in Jerusalem is the place where men ought to worship.(KJV-1611) Jn 4:20 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= John 4:21 ============ Jn 4:21 Jesus saith unto her, Woman, believe me, the hour cometh, when ye shall neither in this mountain, nor yet at Jerusalem, worship the Father.(KJV-1611) Jn 4:21 Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a.(Creole-HT) ======= John 4:22 ============ Jn 4:22 Ye worship ye know not what: we know what we worship: for salvation is of the Jews.(KJV-1611) Jn 4:22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.(Creole-HT) ======= John 4:23 ============ Jn 4:23 But the hour cometh, and now is, when the true worshippers shall worship the Father in spirit and in truth: for the Father seeketh such to worship him.(KJV-1611) Jn 4:23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.(Creole-HT) ======= John 4:24 ============ Jn 4:24 God is a Spirit: and they that worship him must worship him in spirit and in truth.(KJV-1611) Jn 4:24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.(Creole-HT) ======= John 4:25 ============ Jn 4:25 The woman saith unto him, I know that Messias cometh, which is called Christ: when he is come, he will tell us all things.(KJV-1611) Jn 4:25 Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= John 4:26 ============ Jn 4:26 Jesus saith unto her, I that speak unto thee am he.(KJV-1611) Jn 4:26 Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.(Creole-HT) ======= John 4:27 ============ Jn 4:27 And upon this came his disciples, and marvelled that he talked with the woman: yet no man said, What seekest thou? or, Why talkest thou with her?(KJV-1611) Jn 4:27 Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?(Creole-HT) ======= John 4:28 ============ Jn 4:28 The woman then left her waterpot, and went her way into the city, and saith to the men,(KJV-1611) Jn 4:28 Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo:(Creole-HT) ======= John 4:29 ============ Jn 4:29 Come, see a man, which told me all things that ever I did: is not this the Christ?(KJV-1611) Jn 4:29 Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la?(Creole-HT) ======= John 4:30 ============ Jn 4:30 Then they went out of the city, and came unto him.(KJV-1611) Jn 4:30 Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi.(Creole-HT) ======= John 4:31 ============ Jn 4:31 In the mean while his disciples prayed him, saying, Master, eat.(KJV-1611) Jn 4:31 Disip yo menm, bò pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mèt, manje kichòy non!(Creole-HT) ======= John 4:32 ============ Jn 4:32 But he said unto them, I have meat to eat that ye know not of.(KJV-1611) Jn 4:32 Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen.(Creole-HT) ======= John 4:33 ============ Jn 4:33 Therefore said the disciples one to another, Hath any man brought him ought to eat?(KJV-1611) Jn 4:33 Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li.(Creole-HT) ======= John 4:34 ============ Jn 4:34 Jesus saith unto them, My meat is to do the will of him that sent me, and to finish his work.(KJV-1611) Jn 4:34 Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.(Creole-HT) ======= John 4:35 ============ Jn 4:35 Say not ye, There are yet four months, and then cometh harvest? behold, I say unto you, Lift up your eyes, and look on the fields; for they are white already to harvest.(KJV-1611) Jn 4:35 Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.(Creole-HT) ======= John 4:36 ============ Jn 4:36 And he that reapeth receiveth wages, and gathereth fruit unto life eternal: that both he that soweth and he that reapeth may rejoice together.(KJV-1611) Jn 4:36 Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.(Creole-HT) ======= John 4:37 ============ Jn 4:37 And herein is that saying true, One soweth, and another reapeth.(KJV-1611) Jn 4:37 Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase.(Creole-HT) ======= John 4:38 ============ Jn 4:38 I sent you to reap that whereon ye bestowed no labour: other men laboured, and ye are entered into their labours.(KJV-1611) Jn 4:38 Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.(Creole-HT) ======= John 4:39 ============ Jn 4:39 And many of the Samaritans of that city believed on him for the saying of the woman, which testified, He told me all that ever I did.(KJV-1611) Jn 4:39 Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè.(Creole-HT) ======= John 4:40 ============ Jn 4:40 So when the Samaritans were come unto him, they besought him that he would tarry with them: and he abode there two days.(KJV-1611) Jn 4:40 Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.(Creole-HT) ======= John 4:41 ============ Jn 4:41 And many more believed because of his own word;(KJV-1611) Jn 4:41 Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo.(Creole-HT) ======= John 4:42 ============ Jn 4:42 And said unto the woman, Now we believe, not because of thy saying: for we have heard him ourselves, and know that this is indeed the Christ, the Saviour of the world.(KJV-1611) Jn 4:42 Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zòrèy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latè.(Creole-HT) ======= John 4:43 ============ Jn 4:43 Now after two days he departed thence, and went into Galilee.(KJV-1611) Jn 4:43 Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 4:44 ============ Jn 4:44 For Jesus himself testified, that a prophet hath no honour in his own country.(KJV-1611) Jn 4:44 Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti.(Creole-HT) ======= John 4:45 ============ Jn 4:45 Then when he was come into Galilee, the Galilaeans received him, having seen all the things that he did at Jerusalem at the feast: for they also went unto the feast.(KJV-1611) Jn 4:45 Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.(Creole-HT) ======= John 4:46 ============ Jn 4:46 So Jesus came again into Cana of Galilee, where he made the water wine. And there was a certain nobleman, whose son was sick at Capernaum.(KJV-1611) Jn 4:46 Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.(Creole-HT) ======= John 4:47 ============ Jn 4:47 When he heard that Jesus was come out of Judaea into Galilee, he went unto him, and besought him that he would come down, and heal his son: for he was at the point of death.(KJV-1611) Jn 4:47 Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.(Creole-HT) ======= John 4:48 ============ Jn 4:48 Then said Jesus unto him, Except ye see signs and wonders, ye will not believe.(KJV-1611) Jn 4:48 Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.(Creole-HT) ======= John 4:49 ============ Jn 4:49 The nobleman saith unto him, Sir, come down ere my child die.(KJV-1611) Jn 4:49 Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.(Creole-HT) ======= John 4:50 ============ Jn 4:50 Jesus saith unto him, Go thy way; thy son liveth. And the man believed the word that Jesus had spoken unto him, and he went his way.(KJV-1611) Jn 4:50 Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale.(Creole-HT) ======= John 4:51 ============ Jn 4:51 And as he was now going down, his servants met him, and told him, saying, Thy son liveth.(KJV-1611) Jn 4:51 Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri.(Creole-HT) ======= John 4:52 ============ Jn 4:52 Then enquired he of them the hour when he began to amend. And they said unto him, Yesterday at the seventh hour the fever left him.(KJV-1611) Jn 4:52 Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe.(Creole-HT) ======= John 4:53 ============ Jn 4:53 So the father knew that it was at the same hour, in the which Jesus said unto him, Thy son liveth: and himself believed, and his whole house.(KJV-1611) Jn 4:53 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.(Creole-HT) ======= John 4:54 ============ Jn 4:54 This is again the second miracle that Jesus did, when he was come out of Judaea into Galilee.(KJV-1611) Jn 4:54 Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 5:1 ============ Jn 5:1 After this there was a feast of the Jews; and Jesus went up to Jerusalem.(KJV-1611) Jn 5:1 Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.(Creole-HT) ======= John 5:2 ============ Jn 5:2 Now there is at Jerusalem by the sheep market a pool, which is called in the Hebrew tongue Bethesda, having five porches.(KJV-1611) Jn 5:2 Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.(Creole-HT) ======= John 5:3 ============ Jn 5:3 In these lay a great multitude of impotent folk, of blind, halt, withered, waiting for the moving of the water.(KJV-1611) Jn 5:3 Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.(Creole-HT) ======= John 5:4 ============ Jn 5:4 For an angel went down at a certain season into the pool, and troubled the water: whosoever then first after the troubling of the water stepped in was made whole of whatsoever disease he had.(KJV-1611) Jn 5:4 Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.(Creole-HT) ======= John 5:5 ============ Jn 5:5 And a certain man was there, which had an infirmity thirty and eight years.(KJV-1611) Jn 5:5 Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.(Creole-HT) ======= John 5:6 ============ Jn 5:6 When Jesus saw him lie, and knew that he had been now a long time in that case, he saith unto him, Wilt thou be made whole?(KJV-1611) Jn 5:6 Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?(Creole-HT) ======= John 5:7 ============ Jn 5:7 The impotent man answered him, Sir, I have no man, when the water is troubled, to put me into the pool: but while I am coming, another steppeth down before me.(KJV-1611) Jn 5:7 Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.(Creole-HT) ======= John 5:8 ============ Jn 5:8 Jesus saith unto him, Rise, take up thy bed, and walk.(KJV-1611) Jn 5:8 Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.(Creole-HT) ======= John 5:9 ============ Jn 5:9 And immediately the man was made whole, and took up his bed, and walked: and on the same day was the sabbath.(KJV-1611) Jn 5:9 Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.(Creole-HT) ======= John 5:10 ============ Jn 5:10 The Jews therefore said unto him that was cured, It is the sabbath day: it is not lawful for thee to carry thy bed.(KJV-1611) Jn 5:10 Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.(Creole-HT) ======= John 5:11 ============ Jn 5:11 He answered them, He that made me whole, the same said unto me, Take up thy bed, and walk.(KJV-1611) Jn 5:11 Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale.(Creole-HT) ======= John 5:12 ============ Jn 5:12 Then asked they him, What man is that which said unto thee, Take up thy bed, and walk?(KJV-1611) Jn 5:12 Lè sa a, yo mande li: Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a?(Creole-HT) ======= John 5:13 ============ Jn 5:13 And he that was healed wist not who it was: for Jesus had conveyed himself away, a multitude being in that place.(KJV-1611) Jn 5:13 Men, nonm ki te geri a pa t' konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gen tan pati al fè wout li.(Creole-HT) ======= John 5:14 ============ Jn 5:14 Afterward Jesus findeth him in the temple, and said unto him, Behold, thou art made whole: sin no more, lest a worse thing come unto thee.(KJV-1611) Jn 5:14 Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.(Creole-HT) ======= John 5:15 ============ Jn 5:15 The man departed, and told the Jews that it was Jesus, which had made him whole.(KJV-1611) Jn 5:15 Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.(Creole-HT) ======= John 5:16 ============ Jn 5:16 And therefore did the Jews persecute Jesus, and sought to slay him, because he had done these things on the sabbath day.(KJV-1611) Jn 5:16 Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.(Creole-HT) ======= John 5:17 ============ Jn 5:17 But Jesus answered them, My Father worketh hitherto, and I work.(KJV-1611) Jn 5:17 Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.(Creole-HT) ======= John 5:18 ============ Jn 5:18 Therefore the Jews sought the more to kill him, because he not only had broken the sabbath, but said also that God was his Father, making himself equal with God.(KJV-1611) Jn 5:18 Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye.(Creole-HT) ======= John 5:19 ============ Jn 5:19 Then answered Jesus and said unto them, Verily, verily, I say unto you, The Son can do nothing of himself, but what he seeth the Father do: for what things soever he doeth, these also doeth the Son likewise.(KJV-1611) Jn 5:19 Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.(Creole-HT) ======= John 5:20 ============ Jn 5:20 For the Father loveth the Son, and sheweth him all things that himself doeth: and he will shew him greater works than these, that ye may marvel.(KJV-1611) Jn 5:20 Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.(Creole-HT) ======= John 5:21 ============ Jn 5:21 For as the Father raiseth up the dead, and quickeneth them; even so the Son quickeneth whom he will.(KJV-1611) Jn 5:21 Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.(Creole-HT) ======= John 5:22 ============ Jn 5:22 For the Father judgeth no man, but hath committed all judgment unto the Son:(KJV-1611) Jn 5:22 Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.(Creole-HT) ======= John 5:23 ============ Jn 5:23 That all men should honour the Son, even as they honour the Father. He that honoureth not the Son honoureth not the Father which hath sent him.(KJV-1611) Jn 5:23 Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.(Creole-HT) ======= John 5:24 ============ Jn 5:24 Verily, verily, I say unto you, He that heareth my word, and believeth on him that sent me, hath everlasting life, and shall not come into condemnation; but is passed from death unto life.(KJV-1611) Jn 5:24 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.(Creole-HT) ======= John 5:25 ============ Jn 5:25 Verily, verily, I say unto you, The hour is coming, and now is, when the dead shall hear the voice of the Son of God: and they that hear shall live.(KJV-1611) Jn 5:25 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.(Creole-HT) ======= John 5:26 ============ Jn 5:26 For as the Father hath life in himself; so hath he given to the Son to have life in himself;(KJV-1611) Jn 5:26 Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.(Creole-HT) ======= John 5:27 ============ Jn 5:27 And hath given him authority to execute judgment also, because he is the Son of man.(KJV-1611) Jn 5:27 Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.(Creole-HT) ======= John 5:28 ============ Jn 5:28 Marvel not at this: for the hour is coming, in the which all that are in the graves shall hear his voice,(KJV-1611) Jn 5:28 Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li,(Creole-HT) ======= John 5:29 ============ Jn 5:29 And shall come forth; they that have done good, unto the resurrection of life; and they that have done evil, unto the resurrection of damnation.(KJV-1611) Jn 5:29 yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.(Creole-HT) ======= John 5:30 ============ Jn 5:30 I can of mine own self do nothing: as I hear, I judge: and my judgment is just; because I seek not mine own will, but the will of the Father which hath sent me.(KJV-1611) Jn 5:30 Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.(Creole-HT) ======= John 5:31 ============ Jn 5:31 If I bear witness of myself, my witness is not true.(KJV-1611) Jn 5:31 Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.(Creole-HT) ======= John 5:32 ============ Jn 5:32 There is another that beareth witness of me; and I know that the witness which he witnesseth of me is true.(KJV-1611) Jn 5:32 Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite.(Creole-HT) ======= John 5:33 ============ Jn 5:33 Ye sent unto John, and he bare witness unto the truth.(KJV-1611) Jn 5:33 Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a.(Creole-HT) ======= John 5:34 ============ Jn 5:34 But I receive not testimony from man: but these things I say, that ye might be saved.(KJV-1611) Jn 5:34 Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.(Creole-HT) ======= John 5:35 ============ Jn 5:35 He was a burning and a shining light: and ye were willing for a season to rejoice in his light.(KJV-1611) Jn 5:35 Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.(Creole-HT) ======= John 5:36 ============ Jn 5:36 But I have greater witness than that of John: for the works which the Father hath given me to finish, the same works that I do, bear witness of me, that the Father hath sent me.(KJV-1611) Jn 5:36 Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.(Creole-HT) ======= John 5:37 ============ Jn 5:37 And the Father himself, which hath sent me, hath borne witness of me. Ye have neither heard his voice at any time, nor seen his shape.(KJV-1611) Jn 5:37 Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li.(Creole-HT) ======= John 5:38 ============ Jn 5:38 And ye have not his word abiding in you: for whom he hath sent, him ye believe not.(KJV-1611) Jn 5:38 Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.(Creole-HT) ======= John 5:39 ============ Jn 5:39 Search the scriptures; for in them ye think ye have eternal life: and they are they which testify of me.(KJV-1611) Jn 5:39 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.(Creole-HT) ======= John 5:40 ============ Jn 5:40 And ye will not come to me, that ye might have life.(KJV-1611) Jn 5:40 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.(Creole-HT) ======= John 5:41 ============ Jn 5:41 I receive not honour from men.(KJV-1611) Jn 5:41 Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.(Creole-HT) ======= John 5:42 ============ Jn 5:42 But I know you, that ye have not the love of God in you.(KJV-1611) Jn 5:42 Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.(Creole-HT) ======= John 5:43 ============ Jn 5:43 I am come in my Father's name, and ye receive me not: if another shall come in his own name, him ye will receive.(KJV-1611) Jn 5:43 Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.(Creole-HT) ======= John 5:44 ============ Jn 5:44 How can ye believe, which receive honour one of another, and seek not the honour that cometh from God only?(KJV-1611) Jn 5:44 Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?(Creole-HT) ======= John 5:45 ============ Jn 5:45 Do not think that I will accuse you to the Father: there is one that accuseth you, even Moses, in whom ye trust.(KJV-1611) Jn 5:45 Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an.(Creole-HT) ======= John 5:46 ============ Jn 5:46 For had ye believed Moses, ye would have believed me; for he wrote of me.(KJV-1611) Jn 5:46 Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou.(Creole-HT) ======= John 5:47 ============ Jn 5:47 But if ye believe not his writings, how shall ye believe my words?(KJV-1611) Jn 5:47 Men, nou pa kwè nan sa l' te ekri a. Ki jan pou n' ta fè kwè sa m'ap di nou an?(Creole-HT) ======= John 6:1 ============ Jn 6:1 After these things Jesus went over the sea of Galilee, which is the sea of Tiberias.(KJV-1611) Jn 6:1 Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.(Creole-HT) ======= John 6:2 ============ Jn 6:2 And a great multitude followed him, because they saw his miracles which he did on them that were diseased.(KJV-1611) Jn 6:2 Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.(Creole-HT) ======= John 6:3 ============ Jn 6:3 And Jesus went up into a mountain, and there he sat with his disciples.(KJV-1611) Jn 6:3 Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.(Creole-HT) ======= John 6:4 ============ Jn 6:4 And the passover, a feast of the Jews, was nigh.(KJV-1611) Jn 6:4 Jou fèt Delivrans jwif yo te vanse rive.(Creole-HT) ======= John 6:5 ============ Jn 6:5 When Jesus then lifted up his eyes, and saw a great company come unto him, he saith unto Philip, Whence shall we buy bread, that these may eat?(KJV-1611) Jn 6:5 Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje?(Creole-HT) ======= John 6:6 ============ Jn 6:6 And this he said to prove him: for he himself knew what he would do.(KJV-1611) Jn 6:6 (Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.)(Creole-HT) ======= John 6:7 ============ Jn 6:7 Philip answered him, Two hundred pennyworth of bread is not sufficient for them, that every one of them may take a little.(KJV-1611) Jn 6:7 Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal.(Creole-HT) ======= John 6:8 ============ Jn 6:8 One of his disciples, Andrew, Simon Peter's brother, saith unto him,(KJV-1611) Jn 6:8 Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:(Creole-HT) ======= John 6:9 ============ Jn 6:9 There is a lad here, which hath five barley loaves, and two small fishes: but what are they among so many?(KJV-1611) Jn 6:9 Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.(Creole-HT) ======= John 6:10 ============ Jn 6:10 And Jesus said, Make the men sit down. Now there was much grass in the place. So the men sat down, in number about five thousand.(KJV-1611) Jn 6:10 Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil gason konsa.(Creole-HT) ======= John 6:11 ============ Jn 6:11 And Jesus took the loaves; and when he had given thanks, he distributed to the disciples, and the disciples to them that were set down; and likewise of the fishes as much as they would.(KJV-1611) Jn 6:11 Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.(Creole-HT) ======= John 6:12 ============ Jn 6:12 When they were filled, he said unto his disciples, Gather up the fragments that remain, that nothing be lost.(KJV-1611) Jn 6:12 Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.(Creole-HT) ======= John 6:13 ============ Jn 6:13 Therefore they gathered them together, and filled twelve baskets with the fragments of the five barley loaves, which remained over and above unto them that had eaten.(KJV-1611) Jn 6:13 Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale.(Creole-HT) ======= John 6:14 ============ Jn 6:14 Then those men, when they had seen the miracle that Jesus did, said, This is of a truth that prophet that should come into the world.(KJV-1611) Jn 6:14 Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.(Creole-HT) ======= John 6:15 ============ Jn 6:15 When Jesus therefore perceived that they would come and take him by force, to make him a king, he departed again into a mountain himself alone.(KJV-1611) Jn 6:15 Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.(Creole-HT) ======= John 6:16 ============ Jn 6:16 And when even was now come, his disciples went down unto the sea,(KJV-1611) Jn 6:16 Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.(Creole-HT) ======= John 6:17 ============ Jn 6:17 And entered into a ship, and went over the sea toward Capernaum. And it was now dark, and Jesus was not come to them.(KJV-1611) Jn 6:17 Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pa t' ankò vin jwenn yo.(Creole-HT) ======= John 6:18 ============ Jn 6:18 And the sea arose by reason of a great wind that blew.(KJV-1611) Jn 6:18 Dlo lanmè a te move paske van an te fò.(Creole-HT) ======= John 6:19 ============ Jn 6:19 So when they had rowed about five and twenty or thirty furlongs, they see Jesus walking on the sea, and drawing nigh unto the ship: and they were afraid.(KJV-1611) Jn 6:19 Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè.(Creole-HT) ======= John 6:20 ============ Jn 6:20 But he saith unto them, It is I; be not afraid.(KJV-1611) Jn 6:20 Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= John 6:21 ============ Jn 6:21 Then they willingly received him into the ship: and immediately the ship was at the land whither they went.(KJV-1611) Jn 6:21 Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a.(Creole-HT) ======= John 6:22 ============ Jn 6:22 The day following, when the people which stood on the other side of the sea saw that there was none other boat there, save that one whereinto his disciples were entered, and that Jesus went not with his disciples into the boat, but that his disciples were gone away alone;(KJV-1611) Jn 6:22 Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pa t' moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo.(Creole-HT) ======= John 6:23 ============ Jn 6:23 (Howbeit there came other boats from Tiberias nigh unto the place where they did eat bread, after that the Lord had given thanks:)(KJV-1611) Jn 6:23 Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.(Creole-HT) ======= John 6:24 ============ Jn 6:24 When the people therefore saw that Jesus was not there, neither his disciples, they also took shipping, and came to Capernaum, seeking for Jesus.(KJV-1611) Jn 6:24 Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pa t' la, yo moute nan kannòt sa yo, y' al chache l' lavil Kapènawòm.(Creole-HT) ======= John 6:25 ============ Jn 6:25 And when they had found him on the other side of the sea, they said unto him, Rabbi, when camest thou hither?(KJV-1611) Jn 6:25 Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: Mèt, kilè ou gen tan rive isit la?(Creole-HT) ======= John 6:26 ============ Jn 6:26 Jesus answered them and said, Verily, verily, I say unto you, Ye seek me, not because ye saw the miracles, but because ye did eat of the loaves, and were filled.(KJV-1611) Jn 6:26 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m' konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou.(Creole-HT) ======= John 6:27 ============ Jn 6:27 Labour not for the meat which perisheth, but for that meat which endureth unto everlasting life, which the Son of man shall give unto you: for him hath God the Father sealed.(KJV-1611) Jn 6:27 Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.(Creole-HT) ======= John 6:28 ============ Jn 6:28 Then said they unto him, What shall we do, that we might work the works of God?(KJV-1611) Jn 6:28 Lè sa a, yo mande li: Kisa pou n' fè si nou vle fè travay Bondye?(Creole-HT) ======= John 6:29 ============ Jn 6:29 Jesus answered and said unto them, This is the work of God, that ye believe on him whom he hath sent.(KJV-1611) Jn 6:29 Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.(Creole-HT) ======= John 6:30 ============ Jn 6:30 They said therefore unto him, What sign shewest thou then, that we may see, and believe thee? what dost thou work?(KJV-1611) Jn 6:30 Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa ou pral fè?(Creole-HT) ======= John 6:31 ============ Jn 6:31 Our fathers did eat manna in the desert; as it is written, He gave them bread from heaven to eat.(KJV-1611) Jn 6:31 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.(Creole-HT) ======= John 6:32 ============ Jn 6:32 Then Jesus said unto them, Verily, verily, I say unto you, Moses gave you not that bread from heaven; but my Father giveth you the true bread from heaven.(KJV-1611) Jn 6:32 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an.(Creole-HT) ======= John 6:33 ============ Jn 6:33 For the bread of God is he which cometh down from heaven, and giveth life unto the world.(KJV-1611) Jn 6:33 Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.(Creole-HT) ======= John 6:34 ============ Jn 6:34 Then said they unto him, Lord, evermore give us this bread.(KJV-1611) Jn 6:34 Yo di li: Mèt, toujou ban n' nan kalite pen sa a.(Creole-HT) ======= John 6:35 ============ Jn 6:35 And Jesus said unto them, I am the bread of life: he that cometh to me shall never hunger; and he that believeth on me shall never thirst.(KJV-1611) Jn 6:35 Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.(Creole-HT) ======= John 6:36 ============ Jn 6:36 But I said unto you, That ye also have seen me, and believe not.(KJV-1611) Jn 6:36 Men, mwen te di nou sa: nou wè m', men nou pa kwè toujou.(Creole-HT) ======= John 6:37 ============ Jn 6:37 All that the Father giveth me shall come to me; and him that cometh to me I will in no wise cast out.(KJV-1611) Jn 6:37 Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.(Creole-HT) ======= John 6:38 ============ Jn 6:38 For I came down from heaven, not to do mine own will, but the will of him that sent me.(KJV-1611) Jn 6:38 Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= John 6:39 ============ Jn 6:39 And this is the Father's will which hath sent me, that of all which he hath given me I should lose nothing, but should raise it up again at the last day.(KJV-1611) Jn 6:39 Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.(Creole-HT) ======= John 6:40 ============ Jn 6:40 And this is the will of him that sent me, that every one which seeth the Son, and believeth on him, may have everlasting life: and I will raise him up at the last day.(KJV-1611) Jn 6:40 Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.(Creole-HT) ======= John 6:41 ============ Jn 6:41 The Jews then murmured at him, because he said, I am the bread which came down from heaven.(KJV-1611) Jn 6:41 Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.(Creole-HT) ======= John 6:42 ============ Jn 6:42 And they said, Is not this Jesus, the son of Joseph, whose father and mother we know? how is it then that he saith, I came down from heaven?(KJV-1611) Jn 6:42 Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?(Creole-HT) ======= John 6:43 ============ Jn 6:43 Jesus therefore answered and said unto them, Murmur not among yourselves.(KJV-1611) Jn 6:43 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa.(Creole-HT) ======= John 6:44 ============ Jn 6:44 No man can come to me, except the Father which hath sent me draw him: and I will raise him up at the last day.(KJV-1611) Jn 6:44 Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.(Creole-HT) ======= John 6:45 ============ Jn 6:45 It is written in the prophets, And they shall be all taught of God. Every man therefore that hath heard, and hath learned of the Father, cometh unto me.(KJV-1611) Jn 6:45 Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= John 6:46 ============ Jn 6:46 Not that any man hath seen the Father, save he which is of God, he hath seen the Father.(KJV-1611) Jn 6:46 Sa pa vle di gen pesonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a.(Creole-HT) ======= John 6:47 ============ Jn 6:47 Verily, verily, I say unto you, He that believeth on me hath everlasting life.(KJV-1611) Jn 6:47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 6:48 ============ Jn 6:48 I am that bread of life.(KJV-1611) Jn 6:48 Se mwen menm pen ki bay lavi a.(Creole-HT) ======= John 6:49 ============ Jn 6:49 Your fathers did eat manna in the wilderness, and are dead.(KJV-1611) Jn 6:49 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, atousa yo mouri.(Creole-HT) ======= John 6:50 ============ Jn 6:50 This is the bread which cometh down from heaven, that a man may eat thereof, and not die.(KJV-1611) Jn 6:50 Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= John 6:51 ============ Jn 6:51 I am the living bread which came down from heaven: if any man eat of this bread, he shall live for ever: and the bread that I will give is my flesh, which I will give for the life of the world.(KJV-1611) Jn 6:51 Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.(Creole-HT) ======= John 6:52 ============ Jn 6:52 The Jews therefore strove among themselves, saying, How can this man give us his flesh to eat?(KJV-1611) Jn 6:52 Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l' pou n' manje?(Creole-HT) ======= John 6:53 ============ Jn 6:53 Then Jesus said unto them, Verily, verily, I say unto you, Except ye eat the flesh of the Son of man, and drink his blood, ye have no life in you.(KJV-1611) Jn 6:53 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.(Creole-HT) ======= John 6:54 ============ Jn 6:54 Whoso eateth my flesh, and drinketh my blood, hath eternal life; and I will raise him up at the last day.(KJV-1611) Jn 6:54 Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.(Creole-HT) ======= John 6:55 ============ Jn 6:55 For my flesh is meat indeed, and my blood is drink indeed.(KJV-1611) Jn 6:55 Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon.(Creole-HT) ======= John 6:56 ============ Jn 6:56 He that eateth my flesh, and drinketh my blood, dwelleth in me, and I in him.(KJV-1611) Jn 6:56 Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou.(Creole-HT) ======= John 6:57 ============ Jn 6:57 As the living Father hath sent me, and I live by the Father: so he that eateth me, even he shall live by me.(KJV-1611) Jn 6:57 Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi.(Creole-HT) ======= John 6:58 ============ Jn 6:58 This is that bread which came down from heaven: not as your fathers did eat manna, and are dead: he that eateth of this bread shall live for ever.(KJV-1611) Jn 6:58 Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa t' anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.(Creole-HT) ======= John 6:59 ============ Jn 6:59 These things said he in the synagogue, as he taught in Capernaum.(KJV-1611) Jn 6:59 Jezi te di pawòl sa yo antan l' te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= John 6:60 ============ Jn 6:60 Many therefore of his disciples, when they had heard this, said, This is an hard saying; who can hear it?(KJV-1611) Jn 6:60 Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka pran li?(Creole-HT) ======= John 6:61 ============ Jn 6:61 When Jesus knew in himself that his disciples murmured at it, he said unto them, Doth this offend you?(KJV-1611) Jn 6:61 Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Sa ofiske nou, pa vre?(Creole-HT) ======= John 6:62 ============ Jn 6:62 What and if ye shall see the Son of man ascend up where he was before?(KJV-1611) Jn 6:62 Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an?(Creole-HT) ======= John 6:63 ============ Jn 6:63 It is the spirit that quickeneth; the flesh profiteth nothing: the words that I speak unto you, they are spirit, and they are life.(KJV-1611) Jn 6:63 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.(Creole-HT) ======= John 6:64 ============ Jn 6:64 But there are some of you that believe not. For Jesus knew from the beginning who they were that believed not, and who should betray him.(KJV-1611) Jn 6:64 Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l' la.)(Creole-HT) ======= John 6:65 ============ Jn 6:65 And he said, Therefore said I unto you, that no man can come unto me, except it were given unto him of my Father.(KJV-1611) Jn 6:65 Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.(Creole-HT) ======= John 6:66 ============ Jn 6:66 From that time many of his disciples went back, and walked no more with him.(KJV-1611) Jn 6:66 Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò.(Creole-HT) ======= John 6:67 ============ Jn 6:67 Then said Jesus unto the twelve, Will ye also go away?(KJV-1611) Jn 6:67 Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou?(Creole-HT) ======= John 6:68 ============ Jn 6:68 Then Simon Peter answered him, Lord, to whom shall we go? thou hast the words of eternal life.(KJV-1611) Jn 6:68 Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 6:69 ============ Jn 6:69 And we believe and are sure that thou art that Christ, the Son of the living God.(KJV-1611) Jn 6:69 Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.(Creole-HT) ======= John 6:70 ============ Jn 6:70 Jesus answered them, Have not I chosen you twelve, and one of you is a devil?(KJV-1611) Jn 6:70 Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.(Creole-HT) ======= John 6:71 ============ Jn 6:71 He spake of Judas Iscariot the son of Simon: for he it was that should betray him, being one of the twelve.(KJV-1611) Jn 6:71 Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.(Creole-HT) ======= John 7:1 ============ Jn 7:1 After these things Jesus walked in Galilee: for he would not walk in Jewry, because the Jews sought to kill him.(KJV-1611) Jn 7:1 Apre sa, Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile, li pa t' vle ale nan peyi Jide menm, paske jwif yo t'ap chache touye li.(Creole-HT) ======= John 7:2 ============ Jn 7:2 Now the Jew's feast of tabernacles was at hand.(KJV-1611) Jn 7:2 Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.(Creole-HT) ======= John 7:3 ============ Jn 7:3 His brethren therefore said unto him, Depart hence, and go into Judaea, that thy disciples also may see the works that thou doest.(KJV-1611) Jn 7:3 Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè.(Creole-HT) ======= John 7:4 ============ Jn 7:4 For there is no man that doeth any thing in secret, and he himself seeketh to be known openly. If thou do these things, shew thyself to the world.(KJV-1611) Jn 7:4 Yon moun ki vle pou tout moun konnen l' pa dwe travay an kachèt. Avèk travay w'ap fè a, se pou ou kite tout moun wè ou.(Creole-HT) ======= John 7:5 ============ Jn 7:5 For neither did his brethren believe in him.(KJV-1611) Jn 7:5 (Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.)(Creole-HT) ======= John 7:6 ============ Jn 7:6 Then Jesus said unto them, My time is not yet come: but your time is alway ready.(KJV-1611) Jn 7:6 Jezi di yo konsa: Lè pa m' lan poko sonnen. Pou nou, tout lè yo bon.(Creole-HT) ======= John 7:7 ============ Jn 7:7 The world cannot hate you; but me it hateth, because I testify of it, that the works thereof are evil.(KJV-1611) Jn 7:7 Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.(Creole-HT) ======= John 7:8 ============ Jn 7:8 Go ye up unto this feast: I go not up yet unto this feast: for my time is not yet full come.(KJV-1611) Jn 7:8 Nou mèt al nan fèt la. Mwen menm, mwen pa prale. Paske, lè pa m' lan poko rive.(Creole-HT) ======= John 7:9 ============ Jn 7:9 When he had said these words unto them, he abode still in Galilee.(KJV-1611) Jn 7:9 Apre li fin di yo sa, li rete rete l' nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 7:10 ============ Jn 7:10 But when his brethren were gone up, then went he also up unto the feast, not openly, but as it were in secret.(KJV-1611) Jn 7:10 Apre frè l' yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pa t' kite pesonn wè li.(Creole-HT) ======= John 7:11 ============ Jn 7:11 Then the Jews sought him at the feast, and said, Where is he?(KJV-1611) Jn 7:11 Jwif yo menm t'ap chache l' pandan tout fèt la. Yo t'ap di: Kote l' ye konsa?(Creole-HT) ======= John 7:12 ============ Jn 7:12 And there was much murmuring among the people concerning him: for some said, He is a good man: others said, Nay; but he deceiveth the people.(KJV-1611) Jn 7:12 Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.(Creole-HT) ======= John 7:13 ============ Jn 7:13 Howbeit no man spake openly of him for fear of the Jews.(KJV-1611) Jn 7:13 Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.(Creole-HT) ======= John 7:14 ============ Jn 7:14 Now about the midst of the feast Jesus went up into the temple, and taught.(KJV-1611) Jn 7:14 Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale.(Creole-HT) ======= John 7:15 ============ Jn 7:15 And the Jews marvelled, saying, How knoweth this man letters, having never learned?(KJV-1611) Jn 7:15 Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.(Creole-HT) ======= John 7:16 ============ Jn 7:16 Jesus answered them, and said, My doctrine is not mine, but his that sent me.(KJV-1611) Jn 7:16 Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= John 7:17 ============ Jn 7:17 If any man will do his will, he shall know of the doctrine, whether it be of God, or whether I speak of myself.(KJV-1611) Jn 7:17 Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale.(Creole-HT) ======= John 7:18 ============ Jn 7:18 He that speaketh of himself seeketh his own glory: but he that seeketh his glory that sent him, the same is true, and no unrighteousness is in him.(KJV-1611) Jn 7:18 Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.(Creole-HT) ======= John 7:19 ============ Jn 7:19 Did not Moses give you the law, and yet none of you keepeth the law? Why go ye about to kill me?(KJV-1611) Jn 7:19 Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?(Creole-HT) ======= John 7:20 ============ Jn 7:20 The people answered and said, Thou hast a devil: who goeth about to kill thee?(KJV-1611) Jn 7:20 Foul moun yo reponn li: Gen lè ou gen yon move lespri sou ou? Ki moun k'ap chache touye ou la a?(Creole-HT) ======= John 7:21 ============ Jn 7:21 Jesus answered and said unto them, I have done one work, and ye all marvel.(KJV-1611) Jn 7:21 Jezi reponn yo: Mwen fè yon sèl bagay, epi nou tout nou sezi pou sa!(Creole-HT) ======= John 7:22 ============ Jn 7:22 Moses therefore gave unto you circumcision; (not because it is of Moses, but of the fathers;) and ye on the sabbath day circumcise a man.(KJV-1611) Jn 7:22 Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.)(Creole-HT) ======= John 7:23 ============ Jn 7:23 If a man on the sabbath day receive circumcision, that the law of Moses should not be broken; are ye angry at me, because I have made a man every whit whole on the sabbath day?(KJV-1611) Jn 7:23 Si nou ka sikonsi yon ti gason jou repo a pou n' ka fè sa Lalwa Moyiz la mande a, pa gen rezon pou n' ankòlè sou mwen si m' geri yon moun ki te malad nan tout kò l', yon jou repo.(Creole-HT) ======= John 7:24 ============ Jn 7:24 Judge not according to the appearance, but judge righteous judgment.(KJV-1611) Jn 7:24 Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat.(Creole-HT) ======= John 7:25 ============ Jn 7:25 Then said some of them of Jerusalem, Is not this he, whom they seek to kill?(KJV-1611) Jn 7:25 Lè sa a, te gen kèk moun Jerizalèm ki t'ap di: Apa nonm y'ap chache touye a?(Creole-HT) ======= John 7:26 ============ Jn 7:26 But, lo, he speaketh boldly, and they say nothing unto him. Do the rulers know indeed that this is the very Christ?(KJV-1611) Jn 7:26 Gade l'ap pale lib devan tout moun, yo pa di l' anyen. Gen lè chèf nou yo rekonèt se Kris la vre li ye!(Creole-HT) ======= John 7:27 ============ Jn 7:27 Howbeit we know this man whence he is: but when Christ cometh, no man knoweth whence he is.(KJV-1611) Jn 7:27 Men, yo toujou di lè Kris la va rive, pesonn p'ap konnen ki bò l' soti. Men nonm sa a, nou konnen ki bò l' soti.(Creole-HT) ======= John 7:28 ============ Jn 7:28 Then cried Jesus in the temple as he taught, saying, Ye both know me, and ye know whence I am: and I am not come of myself, but he that sent me is true, whom ye know not.(KJV-1611) Jn 7:28 Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.(Creole-HT) ======= John 7:29 ============ Jn 7:29 But I know him: for I am from him, and he hath sent me.(KJV-1611) Jn 7:29 Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.(Creole-HT) ======= John 7:30 ============ Jn 7:30 Then they sought to take him: but no man laid hands on him, because his hour was not yet come.(KJV-1611) Jn 7:30 Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive.(Creole-HT) ======= John 7:31 ============ Jn 7:31 And many of the people believed on him, and said, When Christ cometh, will he do more miracles than these which this man hath done?(KJV-1611) Jn 7:31 Atousa, te gen anpil moun nan foul pèp la ki te kwè nan li. Yo t'ap di: Lè Kris la va vini, èske la fè plis mirak pase nonm sa a?(Creole-HT) ======= John 7:32 ============ Jn 7:32 The Pharisees heard that the people murmured such things concerning him; and the Pharisees and the chief priests sent officers to take him.(KJV-1611) Jn 7:32 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.(Creole-HT) ======= John 7:33 ============ Jn 7:33 Then said Jesus unto them, Yet a little while am I with you, and then I go unto him that sent me.(KJV-1611) Jn 7:33 Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= John 7:34 ============ Jn 7:34 Ye shall seek me, and shall not find me: and where I am, thither ye cannot come.(KJV-1611) Jn 7:34 N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen, paske nou p'ap ka vini kote m' prale a.(Creole-HT) ======= John 7:35 ============ Jn 7:35 Then said the Jews among themselves, Whither will he go, that we shall not find him? will he go unto the dispersed among the Gentiles, and teach the Gentiles?(KJV-1611) Jn 7:35 Jwif yo yonn t'ap mande lòt: Ki bò l' prale menm pou nou pa kapab jwenn li? Eske li pral menm kote ak jwif ki gaye nan mitan moun Lagrès yo pou l' moutre moun Lagrès yo anpil bagay?(Creole-HT) ======= John 7:36 ============ Jn 7:36 What manner of saying is this that he said, Ye shall seek me, and shall not find me: and where I am, thither ye cannot come?(KJV-1611) Jn 7:36 L'ap plede di: N'a chache m', men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa ka vini kote mwen prale a. Kisa sa vle di menm?(Creole-HT) ======= John 7:37 ============ Jn 7:37 In the last day, that great day of the feast, Jesus stood and cried, saying, If any man thirst, let him come unto me, and drink.(KJV-1611) Jn 7:37 Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.(Creole-HT) ======= John 7:38 ============ Jn 7:38 He that believeth on me, as the scripture hath said, out of his belly shall flow rivers of living water.(KJV-1611) Jn 7:38 Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.(Creole-HT) ======= John 7:39 ============ Jn 7:39 (But this spake he of the Spirit, which they that believe on him should receive: for the Holy Ghost was not yet given; because that Jesus was not yet glorified.)(KJV-1611) Jn 7:39 (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)(Creole-HT) ======= John 7:40 ============ Jn 7:40 Many of the people therefore, when they heard this saying, said, Of a truth this is the Prophet.(KJV-1611) Jn 7:40 Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!(Creole-HT) ======= John 7:41 ============ Jn 7:41 Others said, This is the Christ. But some said, Shall Christ come out of Galilee?(KJV-1611) Jn 7:41 Gen lòt ki t'ap di: Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: Men, Kris la pa ka soti nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 7:42 ============ Jn 7:42 Hath not the scripture said, That Christ cometh of the seed of David, and out of the town of Bethlehem, where David was?(KJV-1611) Jn 7:42 Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l' soti, lavil kote David te pase tout lavi li a.(Creole-HT) ======= John 7:43 ============ Jn 7:43 So there was a division among the people because of him.(KJV-1611) Jn 7:43 Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi.(Creole-HT) ======= John 7:44 ============ Jn 7:44 And some of them would have taken him; but no man laid hands on him.(KJV-1611) Jn 7:44 Gen ladan yo ki te vle arete l', men pesonn pa t' mete men sou li.(Creole-HT) ======= John 7:45 ============ Jn 7:45 Then came the officers to the chief priests and Pharisees; and they said unto them, Why have ye not brought him?(KJV-1611) Jn 7:45 Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?(Creole-HT) ======= John 7:46 ============ Jn 7:46 The officers answered, Never man spake like this man.(KJV-1611) Jn 7:46 Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.(Creole-HT) ======= John 7:47 ============ Jn 7:47 Then answered them the Pharisees, Are ye also deceived?(KJV-1611) Jn 7:47 Farizyen yo di: Gen lè nou kite l' pran tèt nou tou?(Creole-HT) ======= John 7:48 ============ Jn 7:48 Have any of the rulers or of the Pharisees believed on him?(KJV-1611) Jn 7:48 Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li?(Creole-HT) ======= John 7:49 ============ Jn 7:49 But this people who knoweth not the law are cursed.(KJV-1611) Jn 7:49 Moun sa yo gen lè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!(Creole-HT) ======= John 7:50 ============ Jn 7:50 Nicodemus saith unto them, (he that came to Jesus by night, being one of them,)(KJV-1611) Jn 7:50 Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:(Creole-HT) ======= John 7:51 ============ Jn 7:51 Doth our law judge any man, before it hear him, and know what he doeth?(KJV-1611) Jn 7:51 Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l' anvan, san nou pa konnen sa l' fè.(Creole-HT) ======= John 7:52 ============ Jn 7:52 They answered and said unto him, Art thou also of Galilee? Search, and look: for out of Galilee ariseth no prophet.(KJV-1611) Jn 7:52 Yo reponn li: Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, wa wè pa gen pwofèt ki janm soti nan peyi Galile.(Creole-HT) ======= John 7:53 ============ Jn 7:53 And every man went unto his own house.(KJV-1611) Jn 7:53 Apre sa, tout moun al lakay yo.(Creole-HT) ======= John 8:1 ============ Jn 8:1 Jesus went unto the mount of Olives.(KJV-1611) Jn 8:1 Jezi menm ale mòn Oliv.(Creole-HT) ======= John 8:2 ============ Jn 8:2 And early in the morning he came again into the temple, and all the people came unto him; and he sat down, and taught them.(KJV-1611) Jn 8:2 Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.(Creole-HT) ======= John 8:3 ============ Jn 8:3 And the scribes and Pharisees brought unto him a woman taken in adultery; and when they had set her in the midst,(KJV-1611) Jn 8:3 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo,(Creole-HT) ======= John 8:4 ============ Jn 8:4 They say unto him, Master, this woman was taken in adultery, in the very act.(KJV-1611) Jn 8:4 epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè.(Creole-HT) ======= John 8:5 ============ Jn 8:5 Now Moses in the law commanded us, that such should be stoned: but what sayest thou?(KJV-1611) Jn 8:5 Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa?(Creole-HT) ======= John 8:6 ============ Jn 8:6 This they said, tempting him, that they might have to accuse him. But Jesus stooped down, and with his finger wrote on the ground, as though he heard them not.(KJV-1611) Jn 8:6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.(Creole-HT) ======= John 8:7 ============ Jn 8:7 So when they continued asking him, he lifted up himself, and said unto them, He that is without sin among you, let him first cast a stone at her.(KJV-1611) Jn 8:7 Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.(Creole-HT) ======= John 8:8 ============ Jn 8:8 And again he stooped down, and wrote on the ground.(KJV-1611) Jn 8:8 Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò.(Creole-HT) ======= John 8:9 ============ Jn 8:9 And they which heard it, being convicted by their own conscience, went out one by one, beginning at the eldest, even unto the last: and Jesus was left alone, and the woman standing in the midst.(KJV-1611) Jn 8:9 Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'.(Creole-HT) ======= John 8:10 ============ Jn 8:10 When Jesus had lifted up himself, and saw none but the woman, he said unto her, Woman, where are those thine accusers? hath no man condemned thee?(KJV-1611) Jn 8:10 Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou?(Creole-HT) ======= John 8:11 ============ Jn 8:11 She said, No man, Lord. And Jesus said unto her, Neither do I condemn thee: go, and sin no more.(KJV-1611) Jn 8:11 Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.(Creole-HT) ======= John 8:12 ============ Jn 8:12 Then spake Jesus again unto them, saying, I am the light of the world: he that followeth me shall not walk in darkness, but shall have the light of life.(KJV-1611) Jn 8:12 Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.(Creole-HT) ======= John 8:13 ============ Jn 8:13 The Pharisees therefore said unto him, Thou bearest record of thyself; thy record is not true.(KJV-1611) Jn 8:13 Farizyen yo di li: Apa w'ap pale tèt pa ou byen? Sa w'ap di la a pa gen valè.(Creole-HT) ======= John 8:14 ============ Jn 8:14 Jesus answered and said unto them, Though I bear record of myself, yet my record is true: for I know whence I came, and whither I go; but ye cannot tell whence I come, and whither I go.(KJV-1611) Jn 8:14 Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale.(Creole-HT) ======= John 8:15 ============ Jn 8:15 Ye judge after the flesh; I judge no man.(KJV-1611) Jn 8:15 Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pesonn.(Creole-HT) ======= John 8:16 ============ Jn 8:16 And yet if I judge, my judgment is true: for I am not alone, but I and the Father that sent me.(KJV-1611) Jn 8:16 Mentou, si yon lè mwen gen pou m' jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m' lan ap la avèk mwen.(Creole-HT) ======= John 8:17 ============ Jn 8:17 It is also written in your law, that the testimony of two men is true.(KJV-1611) Jn 8:17 Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre.(Creole-HT) ======= John 8:18 ============ Jn 8:18 I am one that bear witness of myself, and the Father that sent me beareth witness of me.(KJV-1611) Jn 8:18 Mwen sèvi temwen pou tèt pa m'; Papa a ki voye m' lan sèvi m' temwen tou.(Creole-HT) ======= John 8:19 ============ Jn 8:19 Then said they unto him, Where is thy Father? Jesus answered, Ye neither know me, nor my Father: if ye had known me, ye should have known my Father also.(KJV-1611) Jn 8:19 Yo mande li: Kote papa ou? Jezi reponn yo: Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m', nou ta konnen Papa m' tou.(Creole-HT) ======= John 8:20 ============ Jn 8:20 These words spake Jesus in the treasury, as he taught in the temple: and no man laid hands on him; for his hour was not yet come.(KJV-1611) Jn 8:20 Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pesonn pa t' mete men sou li, paske lè l' pa t' ankò rive.(Creole-HT) ======= John 8:21 ============ Jn 8:21 Then said Jesus again unto them, I go my way, and ye shall seek me, and shall die in your sins: whither I go, ye cannot come.(KJV-1611) Jn 8:21 Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.(Creole-HT) ======= John 8:22 ============ Jn 8:22 Then said the Jews, Will he kill himself? because he saith, Whither I go, ye cannot come.(KJV-1611) Jn 8:22 Jwif yo yonn di lòt: Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a.(Creole-HT) ======= John 8:23 ============ Jn 8:23 And he said unto them, Ye are from beneath; I am from above: ye are of this world; I am not of this world.(KJV-1611) Jn 8:23 Jezi reponn yo: Nou soti anba, mwen menm mwen soti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a.(Creole-HT) ======= John 8:24 ============ Jn 8:24 I said therefore unto you, that ye shall die in your sins: for if ye believe not that I am he, ye shall die in your sins.(KJV-1611) Jn 8:24 Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.(Creole-HT) ======= John 8:25 ============ Jn 8:25 Then said they unto him, Who art thou? And Jesus saith unto them, Even the same that I said unto you from the beginning.(KJV-1611) Jn 8:25 Yo mande li: Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: Sa m' te di nou depi nan konmansman an.(Creole-HT) ======= John 8:26 ============ Jn 8:26 I have many things to say and to judge of you: but he that sent me is true; and I speak to the world those things which I have heard of him.(KJV-1611) Jn 8:26 Mwen gen anpil bagay pou m' di sou nou, anpil bagay menm pou m' jije nan nou. Men, moun ki voye m' lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m' pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè.(Creole-HT) ======= John 8:27 ============ Jn 8:27 They understood not that he spake to them of the Father.(KJV-1611) Jn 8:27 Yo pa t' konprann se sou Papa a li t'ap pale yo.(Creole-HT) ======= John 8:28 ============ Jn 8:28 Then said Jesus unto them, When ye have lifted up the Son of man, then shall ye know that I am he, and that I do nothing of myself; but as my Father hath taught me, I speak these things.(KJV-1611) Jn 8:28 Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.(Creole-HT) ======= John 8:29 ============ Jn 8:29 And he that sent me is with me: the Father hath not left me alone; for I do always those things that please him.(KJV-1611) Jn 8:29 Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.(Creole-HT) ======= John 8:30 ============ Jn 8:30 As he spake these words, many believed on him.(KJV-1611) Jn 8:30 Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li.(Creole-HT) ======= John 8:31 ============ Jn 8:31 Then said Jesus to those Jews which believed on him, If ye continue in my word, then are ye my disciples indeed;(KJV-1611) Jn 8:31 Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.(Creole-HT) ======= John 8:32 ============ Jn 8:32 And ye shall know the truth, and the truth shall make you free.(KJV-1611) Jn 8:32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.(Creole-HT) ======= John 8:33 ============ Jn 8:33 They answered him, We be Abraham's seed, and were never in bondage to any man: how sayest thou, Ye shall be made free?(KJV-1611) Jn 8:33 Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?(Creole-HT) ======= John 8:34 ============ Jn 8:34 Jesus answered them, Verily, verily, I say unto you, Whosoever committeth sin is the servant of sin.(KJV-1611) Jn 8:34 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye.(Creole-HT) ======= John 8:35 ============ Jn 8:35 And the servant abideth not in the house for ever: but the Son abideth ever.(KJV-1611) Jn 8:35 Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan.(Creole-HT) ======= John 8:36 ============ Jn 8:36 If the Son therefore shall make you free, ye shall be free indeed.(KJV-1611) Jn 8:36 Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.(Creole-HT) ======= John 8:37 ============ Jn 8:37 I know that ye are Abraham's seed; but ye seek to kill me, because my word hath no place in you.(KJV-1611) Jn 8:37 Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m' paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou.(Creole-HT) ======= John 8:38 ============ Jn 8:38 I speak that which I have seen with my Father: and ye do that which ye have seen with your father.(KJV-1611) Jn 8:38 M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.(Creole-HT) ======= John 8:39 ============ Jn 8:39 They answered and said unto him, Abraham is our father. Jesus saith unto them, If ye were Abraham's children, ye would do the works of Abraham.(KJV-1611) Jn 8:39 Yo reponn li: Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè.(Creole-HT) ======= John 8:40 ============ Jn 8:40 But now ye seek to kill me, a man that hath told you the truth, which I have heard of God: this did not Abraham.(KJV-1611) Jn 8:40 Gade koulye a, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m' li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= John 8:41 ============ Jn 8:41 Ye do the deeds of your father. Then said they to him, We be not born of fornication; we have one Father, even God.(KJV-1611) Jn 8:41 Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye.(Creole-HT) ======= John 8:42 ============ Jn 8:42 Jesus said unto them, If God were your Father, ye would love me: for I proceeded forth and came from God; neither came I of myself, but he sent me.(KJV-1611) Jn 8:42 Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.(Creole-HT) ======= John 8:43 ============ Jn 8:43 Why do ye not understand my speech? even because ye cannot hear my word.(KJV-1611) Jn 8:43 Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo.(Creole-HT) ======= John 8:44 ============ Jn 8:44 Ye are of your father the devil, and the lusts of your father ye will do. He was a murderer from the beginning, and abode not in the truth, because there is no truth in him. When he speaketh a lie, he speaketh of his own: for he is a liar, and the father of it.(KJV-1611) Jn 8:44 Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.(Creole-HT) ======= John 8:45 ============ Jn 8:45 And because I tell you the truth, ye believe me not.(KJV-1611) Jn 8:45 Men mwen menm, mwen pale verite a. Se poutèt sa nou pa vle kwè mwen.(Creole-HT) ======= John 8:46 ============ Jn 8:46 Which of you convinceth me of sin? And if I say the truth, why do ye not believe me?(KJV-1611) Jn 8:46 Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m' di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?(Creole-HT) ======= John 8:47 ============ Jn 8:47 He that is of God heareth God's words: ye therefore hear them not, because ye are not of God.(KJV-1611) Jn 8:47 Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.(Creole-HT) ======= John 8:48 ============ Jn 8:48 Then answered the Jews, and said unto him, Say we not well that thou art a Samaritan, and hast a devil?(KJV-1611) Jn 8:48 Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.(Creole-HT) ======= John 8:49 ============ Jn 8:49 Jesus answered, I have not a devil; but I honour my Father, and ye do dishonour me.(KJV-1611) Jn 8:49 Jezi di yo: Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respe Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen.(Creole-HT) ======= John 8:50 ============ Jn 8:50 And I seek not mine own glory: there is one that seeketh and judgeth.(KJV-1611) Jn 8:50 Mwen p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l' pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou.(Creole-HT) ======= John 8:51 ============ Jn 8:51 Verily, verily, I say unto you, If a man keep my saying, he shall never see death.(KJV-1611) Jn 8:51 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l' fè, li p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= John 8:52 ============ Jn 8:52 Then said the Jews unto him, Now we know that thou hast a devil. Abraham is dead, and the prophets; and thou sayest, If a man keep my saying, he shall never taste of death.(KJV-1611) Jn 8:52 Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= John 8:53 ============ Jn 8:53 Art thou greater than our father Abraham, which is dead? and the prophets are dead: whom makest thou thyself?(KJV-1611) Jn 8:53 Abraram ki Abraram zansèt nou, li mouri. Koulye a, ou prèt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofèt ki pwofèt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm?(Creole-HT) ======= John 8:54 ============ Jn 8:54 Jesus answered, If I honour myself, my honour is nothing: it is my Father that honoureth me; of whom ye say, that he is your God:(KJV-1611) Jn 8:54 Jezi reponn yo: Si m' t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an.(Creole-HT) ======= John 8:55 ============ Jn 8:55 Yet ye have not known him; but I know him: and if I should say, I know him not, I shall be a liar like unto you: but I know him, and keep his saying.(KJV-1611) Jn 8:55 Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fè tou sa li di m' fè.(Creole-HT) ======= John 8:56 ============ Jn 8:56 Your father Abraham rejoiced to see my day: and he saw it, and was glad.(KJV-1611) Jn 8:56 Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m' lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l' kontan nèt.(Creole-HT) ======= John 8:57 ============ Jn 8:57 Then said the Jews unto him, Thou art not yet fifty years old, and hast thou seen Abraham?(KJV-1611) Jn 8:57 Jwif yo di li: Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wè Abraram?(Creole-HT) ======= John 8:58 ============ Jn 8:58 Jesus said unto them, Verily, verily, I say unto you, Before Abraham was, I am.(KJV-1611) Jn 8:58 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pa t' ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.(Creole-HT) ======= John 8:59 ============ Jn 8:59 Then took they up stones to cast at him: but Jesus hid himself, and went out of the temple, going through the midst of them, and so passed by.(KJV-1611) Jn 8:59 Lè sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l' yon kote epi li soti nan tanp lan.(Creole-HT) ======= John 9:1 ============ Jn 9:1 And as Jesus passed by, he saw a man which was blind from his birth.(KJV-1611) Jn 9:1 Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l' wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt.(Creole-HT) ======= John 9:2 ============ Jn 9:2 And his disciples asked him, saying, Master, who did sin, this man, or his parents, that he was born blind?(KJV-1611) Jn 9:2 Disip li yo mande li: Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l' osinon peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa?(Creole-HT) ======= John 9:3 ============ Jn 9:3 Jesus answered, Neither hath this man sinned, nor his parents: but that the works of God should be made manifest in him.(KJV-1611) Jn 9:3 Jezi reponn yo: Se pa ni peche pa l' ni peche manman l' ak papa l' ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li.(Creole-HT) ======= John 9:4 ============ Jn 9:4 I must work the works of him that sent me, while it is day: the night cometh, when no man can work.(KJV-1611) Jn 9:4 Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay.(Creole-HT) ======= John 9:5 ============ Jn 9:5 As long as I am in the world, I am the light of the world.(KJV-1611) Jn 9:5 Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= John 9:6 ============ Jn 9:6 When he had thus spoken, he spat on the ground, and made clay of the spittle, and he anointed the eyes of the blind man with the clay,(KJV-1611) Jn 9:6 Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a.(Creole-HT) ======= John 9:7 ============ Jn 9:7 And said unto him, Go, wash in the pool of Siloam, (which is by interpretation, Sent.) He went his way therefore, and washed, and came seeing.(KJV-1611) Jn 9:7 Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo.(Creole-HT) ======= John 9:8 ============ Jn 9:8 The neighbours therefore, and they which before had seen him that he was blind, said, Is not this he that sat and begged?(KJV-1611) Jn 9:8 Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!(Creole-HT) ======= John 9:9 ============ Jn 9:9 Some said, This is he: others said, He is like him: but he said, I am he.(KJV-1611) Jn 9:9 Gen moun ki t'ap di: Se li menm wi. Gen lòt ki t'ap di tou: Non. Se pa li. Men, li sanble l' anpil. Lè sa a nonm lan di yo: Se mwen menm menm.(Creole-HT) ======= John 9:10 ============ Jn 9:10 Therefore said they unto him, How were thine eyes opened?(KJV-1611) Jn 9:10 Yo mande li: Ki jan ou fè wè nan je ou yo?(Creole-HT) ======= John 9:11 ============ Jn 9:11 He answered and said, A man that is called Jesus made clay, and anointed mine eyes, and said unto me, Go to the pool of Siloam, and wash: and I went and washed, and I received sight.(KJV-1611) Jn 9:11 Li reponn yo: Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m' ak labou a, epi li di m' al lave figi m' nan basen Siloe a. m' ale. Lè m' fin lave figi m', mwen wè m' wè.(Creole-HT) ======= John 9:12 ============ Jn 9:12 Then said they unto him, Where is he? He said, I know not.(KJV-1611) Jn 9:12 Yo mande li: Kote nonm sa a? Li reponn yo: Mwen pa konnen non.(Creole-HT) ======= John 9:13 ============ Jn 9:13 They brought to the Pharisees him that aforetime was blind.(KJV-1611) Jn 9:13 Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l' bay farizyen yo.(Creole-HT) ======= John 9:14 ============ Jn 9:14 And it was the sabbath day when Jesus made the clay, and opened his eyes.(KJV-1611) Jn 9:14 Se te yon jou repo Jezi te fè labou a pou louvri je l' yo.(Creole-HT) ======= John 9:15 ============ Jn 9:15 Then again the Pharisees also asked him how he had received his sight. He said unto them, He put clay upon mine eyes, and I washed, and do see.(KJV-1611) Jn 9:15 Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sak te pase ki te fè l' ka wè koulye a. Li di yo: Li mete ti kras labou sou je m' yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, koulye a mwen wè.(Creole-HT) ======= John 9:16 ============ Jn 9:16 Therefore said some of the Pharisees, This man is not of God, because he keepeth not the sabbath day. Others said, How can a man that is a sinner do such miracles? And there was a division among them.(KJV-1611) Jn 9:16 Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.(Creole-HT) ======= John 9:17 ============ Jn 9:17 They say unto the blind man again, What sayest thou of him, that he hath opened thine eyes? He said, He is a prophet.(KJV-1611) Jn 9:17 Farizyen yo mande nonm ki te avèg la: Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye? Li reponn: Se yon pwofèt li ye.(Creole-HT) ======= John 9:18 ============ Jn 9:18 But the Jews did not believe concerning him, that he had been blind, and received his sight, until they called the parents of him that had received his sight.(KJV-1611) Jn 9:18 Men, jwif yo pa t' vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l' ak manman l' pou poze yo kekzyon.(Creole-HT) ======= John 9:19 ============ Jn 9:19 And they asked them, saying, Is this your son, who ye say was born blind? how then doth he now see?(KJV-1611) Jn 9:19 Yo mande yo: Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sak pase l' ki fè li wè koulye a?(Creole-HT) ======= John 9:20 ============ Jn 9:20 His parents answered them and said, We know that this is our son, and that he was born blind:(KJV-1611) Jn 9:20 Papa a ak manman an reponn yo: Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg.(Creole-HT) ======= John 9:21 ============ Jn 9:21 But by what means he now seeth, we know not; or who hath opened his eyes, we know not: he is of age; ask him: he shall speak for himself.(KJV-1611) Jn 9:21 Men, nou pa konnen sak pase l' ki fè l' wè koulye a. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. li ase gran konsa. Li ka reponn li menm.(Creole-HT) ======= John 9:22 ============ Jn 9:22 These words spake his parents, because they feared the Jews: for the Jews had agreed already, that if any man did confess that he was Christ, he should be put out of the synagogue.(KJV-1611) Jn 9:22 Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la.(Creole-HT) ======= John 9:23 ============ Jn 9:23 Therefore said his parents, He is of age; ask him.(KJV-1611) Jn 9:23 Se poutèt sa papa l' ak manman l' te di: li ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li.(Creole-HT) ======= John 9:24 ============ Jn 9:24 Then again called they the man that was blind, and said unto him, Give God the praise: we know that this man is a sinner.(KJV-1611) Jn 9:24 Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= John 9:25 ============ Jn 9:25 He answered and said, Whether he be a sinner or no, I know not: one thing I know, that, whereas I was blind, now I see.(KJV-1611) Jn 9:25 Li reponn yo: Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, koulye a mwen wè.(Creole-HT) ======= John 9:26 ============ Jn 9:26 Then said they to him again, What did he to thee? how opened he thine eyes?(KJV-1611) Jn 9:26 Yo mande li: Men, kisa l' te fè? Ki jan l' te fè pou louvri je ou yo?(Creole-HT) ======= John 9:27 ============ Jn 9:27 He answered them, I have told you already, and ye did not hear: wherefore would ye hear it again? will ye also be his disciples?(KJV-1611) Jn 9:27 Li reponn yo: Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m' redi l' ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li?(Creole-HT) ======= John 9:28 ============ Jn 9:28 Then they reviled him, and said, Thou art his disciple; but we are Moses' disciples.(KJV-1611) Jn 9:28 Yo joure l', yo di l' konsa: Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz.(Creole-HT) ======= John 9:29 ============ Jn 9:29 We know that God spake unto Moses: as for this fellow, we know not from whence he is.(KJV-1611) Jn 9:29 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l' soti.(Creole-HT) ======= John 9:30 ============ Jn 9:30 The man answered and said unto them, Why herein is a marvellous thing, that ye know not from whence he is, and yet he hath opened mine eyes.(KJV-1611) Jn 9:30 Nonm lan reponn yo: Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l' soti? Epi, se li menm ki louvri je m' yo!(Creole-HT) ======= John 9:31 ============ Jn 9:31 Now we know that God heareth not sinners: but if any man be a worshipper of God, and doeth his will, him he heareth.(KJV-1611) Jn 9:31 Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l', yon moun ki fè volonte l' k'ap pale avè li.(Creole-HT) ======= John 9:32 ============ Jn 9:32 Since the world began was it not heard that any man opened the eyes of one that was born blind.(KJV-1611) Jn 9:32 Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè.(Creole-HT) ======= John 9:33 ============ Jn 9:33 If this man were not of God, he could do nothing.(KJV-1611) Jn 9:33 Si nonm sa a pa t' soti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen.(Creole-HT) ======= John 9:34 ============ Jn 9:34 They answered and said unto him, Thou wast altogether born in sins, and dost thou teach us? And they cast him out.(KJV-1611) Jn 9:34 Yo reponn li: Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson koulye a? Epi yo mete l' deyò nan sinagòg la.(Creole-HT) ======= John 9:35 ============ Jn 9:35 Jesus heard that they had cast him out; and when he had found him, he said unto him, Dost thou believe on the Son of God?(KJV-1611) Jn 9:35 Jezi te vin konnen yo te mete nonm ki te avèg la deyò nan sinagòg la. Lè li kontre avè l', li di l' konsa: Eske ou kwè nan Moun Bondye voye nan lachè a?(Creole-HT) ======= John 9:36 ============ Jn 9:36 He answered and said, Who is he, Lord, that I might believe on him?(KJV-1611) Jn 9:36 Nonm lan reponn li: Mèt, di m' ki moun li ye pou m' ka kwè nan li?(Creole-HT) ======= John 9:37 ============ Jn 9:37 And Jesus said unto him, Thou hast both seen him, and it is he that talketh with thee.(KJV-1611) Jn 9:37 Jezi reponn li: Apa w'ap gade li! Se li menm k'ap pale avè ou la a wi.(Creole-HT) ======= John 9:38 ============ Jn 9:38 And he said, Lord, I believe. And he worshipped him.(KJV-1611) Jn 9:38 Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.(Creole-HT) ======= John 9:39 ============ Jn 9:39 And Jesus said, For judgment I am come into this world, that they which see not might see; and that they which see might be made blind.(KJV-1611) Jn 9:39 Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg.(Creole-HT) ======= John 9:40 ============ Jn 9:40 And some of the Pharisees which were with him heard these words, and said unto him, Are we blind also?(KJV-1611) Jn 9:40 Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg?(Creole-HT) ======= John 9:41 ============ Jn 9:41 Jesus said unto them, If ye were blind, ye should have no sin: but now ye say, We see; therefore your sin remaineth.(KJV-1611) Jn 9:41 Jezi reponn yo: Si nou te avèg, nou pa ta koupab. Men, n'ap plede di nou wè, nou wè. Se poutèt sa nou antò toujou.(Creole-HT) ======= John 10:1 ============ Jn 10:1 Verily, verily, I say unto you, He that entereth not by the door into the sheepfold, but climbeth up some other way, the same is a thief and a robber.(KJV-1611) Jn 10:1 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pak mouton an, men ki eskalade lantouraj la pou antre nan pak la yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè, yon piyajè.(Creole-HT) ======= John 10:2 ============ Jn 10:2 But he that entereth in by the door is the shepherd of the sheep.(KJV-1611) Jn 10:2 Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.(Creole-HT) ======= John 10:3 ============ Jn 10:3 To him the porter openeth; and the sheep hear his voice: and he calleth his own sheep by name, and leadeth them out.(KJV-1611) Jn 10:3 Moun k'ap veye pòt la louvri l' pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l' yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò.(Creole-HT) ======= John 10:4 ============ Jn 10:4 And when he putteth forth his own sheep, he goeth before them, and the sheep follow him: for they know his voice.(KJV-1611) Jn 10:4 Lè li fin fè yo tout soti, li mache devan yo; tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li.(Creole-HT) ======= John 10:5 ============ Jn 10:5 And a stranger will they not follow, but will flee from him: for they know not the voice of strangers.(KJV-1611) Jn 10:5 Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.(Creole-HT) ======= John 10:6 ============ Jn 10:6 This parable spake Jesus unto them: but they understood not what things they were which he spake unto them.(KJV-1611) Jn 10:6 Jezi di yo parabòl sa a, men yo pa t' konprann sa l' te vle di yo.(Creole-HT) ======= John 10:7 ============ Jn 10:7 Then said Jesus unto them again, Verily, verily, I say unto you, I am the door of the sheep.(KJV-1611) Jn 10:7 Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.(Creole-HT) ======= John 10:8 ============ Jn 10:8 All that ever came before me are thieves and robbers: but the sheep did not hear them.(KJV-1611) Jn 10:8 Tout moun ki te vin anvan m' yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pa t' koute yo.(Creole-HT) ======= John 10:9 ============ Jn 10:9 I am the door: by me if any man enter in, he shall be saved, and shall go in and out, and find pasture.(KJV-1611) Jn 10:9 Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.(Creole-HT) ======= John 10:10 ============ Jn 10:10 The thief cometh not, but for to steal, and to kill, and to destroy: I am come that they might have life, and that they might have it more abundantly.(KJV-1611) Jn 10:10 Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l' an kantite.(Creole-HT) ======= John 10:11 ============ Jn 10:11 I am the good shepherd: the good shepherd giveth his life for the sheep.(KJV-1611) Jn 10:11 Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l' pou mouton l' yo.(Creole-HT) ======= John 10:12 ============ Jn 10:12 But he that is an hireling, and not the shepherd, whose own the sheep are not, seeth the wolf coming, and leaveth the sheep, and fleeth: and the wolf catcheth them, and scattereth the sheep.(KJV-1611) Jn 10:12 Yon nonm k'ap fè yon djòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran mouton yo pote ale, li gaye yo.(Creole-HT) ======= John 10:13 ============ Jn 10:13 The hireling fleeth, because he is an hireling, and careth not for the sheep.(KJV-1611) Jn 10:13 Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo?(Creole-HT) ======= John 10:14 ============ Jn 10:14 I am the good shepherd, and know my sheep, and am known of mine.(KJV-1611) Jn 10:14 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= John 10:15 ============ Jn 10:15 As the Father knoweth me, even so know I the Father: and I lay down my life for the sheep.(KJV-1611) Jn 10:15 Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen.(Creole-HT) ======= John 10:16 ============ Jn 10:16 And other sheep I have, which are not of this fold: them also I must bring, and they shall hear my voice; and there shall be one fold, and one shepherd.(KJV-1611) Jn 10:16 Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m' mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.(Creole-HT) ======= John 10:17 ============ Jn 10:17 Therefore doth my Father love me, because I lay down my life, that I might take it again.(KJV-1611) Jn 10:17 Papa a renmen m', paske m'ap bay lavi m' pou m' ka resevwa l' ankò.(Creole-HT) ======= John 10:18 ============ Jn 10:18 No man taketh it from me, but I lay it down of myself. I have power to lay it down, and I have power to take it again. This commandment have I received of my Father.(KJV-1611) Jn 10:18 Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.(Creole-HT) ======= John 10:19 ============ Jn 10:19 There was a division therefore again among the Jews for these sayings.(KJV-1611) Jn 10:19 Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= John 10:20 ============ Jn 10:20 And many of them said, He hath a devil, and is mad; why hear ye him?(KJV-1611) Jn 10:20 Anpil jwif t'ap di: Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sa n' bezwen pèdi tan n' ap koute yon nonm konsa fè?(Creole-HT) ======= John 10:21 ============ Jn 10:21 Others said, These are not the words of him that hath a devil. Can a devil open the eyes of the blind?(KJV-1611) Jn 10:21 Gen lòt ki t'ap di: Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?(Creole-HT) ======= John 10:22 ============ Jn 10:22 And it was at Jerusalem the feast of the dedication, and it was winter.(KJV-1611) Jn 10:22 Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= John 10:23 ============ Jn 10:23 And Jesus walked in the temple in Solomon's porch.(KJV-1611) Jn 10:23 Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.(Creole-HT) ======= John 10:24 ============ Jn 10:24 Then came the Jews round about him, and said unto him, How long dost thou make us to doubt? If thou be the Christ, tell us plainly.(KJV-1611) Jn 10:24 Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.(Creole-HT) ======= John 10:25 ============ Jn 10:25 Jesus answered them, I told you, and ye believed not: the works that I do in my Father's name, they bear witness of me.(KJV-1611) Jn 10:25 Jezi reponn yo: Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m' m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.(Creole-HT) ======= John 10:26 ============ Jn 10:26 But ye believe not, because ye are not of my sheep, as I said unto you.(KJV-1611) Jn 10:26 Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.(Creole-HT) ======= John 10:27 ============ Jn 10:27 My sheep hear my voice, and I know them, and they follow me:(KJV-1611) Jn 10:27 Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.(Creole-HT) ======= John 10:28 ============ Jn 10:28 And I give unto them eternal life; and they shall never perish, neither shall any man pluck them out of my hand.(KJV-1611) Jn 10:28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.(Creole-HT) ======= John 10:29 ============ Jn 10:29 My Father, which gave them me, is greater than all; and no man is able to pluck them out of my Father's hand.(KJV-1611) Jn 10:29 Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.(Creole-HT) ======= John 10:30 ============ Jn 10:30 I and my Father are one.(KJV-1611) Jn 10:30 Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.(Creole-HT) ======= John 10:31 ============ Jn 10:31 Then the Jews took up stones again to stone him.(KJV-1611) Jn 10:31 Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li.(Creole-HT) ======= John 10:32 ============ Jn 10:32 Jesus answered them, Many good works have I shewed you from my Father; for which of those works do ye stone me?(KJV-1611) Jn 10:32 Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la?(Creole-HT) ======= John 10:33 ============ Jn 10:33 The Jews answered him, saying, For a good work we stone thee not; but for blasphemy; and because that thou, being a man, makest thyself God.(KJV-1611) Jn 10:33 Jwif yo reponn li: Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.(Creole-HT) ======= John 10:34 ============ Jn 10:34 Jesus answered them, Is it not written in your law, I said, Ye are gods?(KJV-1611) Jn 10:34 Jezi reponn yo: Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye.(Creole-HT) ======= John 10:35 ============ Jn 10:35 If he called them gods, unto whom the word of God came, and the scripture cannot be broken;(KJV-1611) Jn 10:35 Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.(Creole-HT) ======= John 10:36 ============ Jn 10:36 Say ye of him, whom the Father hath sanctified, and sent into the world, Thou blasphemest; because I said, I am the Son of God?(KJV-1611) Jn 10:36 Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?(Creole-HT) ======= John 10:37 ============ Jn 10:37 If I do not the works of my Father, believe me not.(KJV-1611) Jn 10:37 Si m' pa fè travay Papa m' ban m' fè a, nou pa bezwen kwè mwen.(Creole-HT) ======= John 10:38 ============ Jn 10:38 But if I do, though ye believe not me, believe the works: that ye may know, and believe, that the Father is in me, and I in him.(KJV-1611) Jn 10:38 Men, si mwen fè l', menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwens kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.(Creole-HT) ======= John 10:39 ============ Jn 10:39 Therefore they sought again to take him: but he escaped out of their hand,(KJV-1611) Jn 10:39 Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l', men li chape anba men yo.(Creole-HT) ======= John 10:40 ============ Jn 10:40 And went away again beyond Jordan into the place where John at first baptized; and there he abode.(KJV-1611) Jn 10:40 Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la.(Creole-HT) ======= John 10:41 ============ Jn 10:41 And many resorted unto him, and said, John did no miracle: but all things that John spake of this man were true.(KJV-1611) Jn 10:41 Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: Jan pa t' fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.(Creole-HT) ======= John 10:42 ============ Jn 10:42 And many believed on him there.(KJV-1611) Jn 10:42 Anpil moun la te kwè nan Jezi.(Creole-HT) ======= John 11:1 ============ Jn 11:1 Now a certain man was sick, named Lazarus, of Bethany, the town of Mary and her sister Martha.(KJV-1611) Jn 11:1 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.(Creole-HT) ======= John 11:2 ============ Jn 11:2 (It was that Mary which anointed the Lord with ointment, and wiped his feet with her hair, whose brother Lazarus was sick.)(KJV-1611) Jn 11:2 (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.)(Creole-HT) ======= John 11:3 ============ Jn 11:3 Therefore his sisters sent unto him, saying, Lord, behold, he whom thou lovest is sick.(KJV-1611) Jn 11:3 De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.(Creole-HT) ======= John 11:4 ============ Jn 11:4 When Jesus heard that, he said, This sickness is not unto death, but for the glory of God, that the Son of God might be glorified thereby.(KJV-1611) Jn 11:4 Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.(Creole-HT) ======= John 11:5 ============ Jn 11:5 Now Jesus loved Martha, and her sister, and Lazarus.(KJV-1611) Jn 11:5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza.(Creole-HT) ======= John 11:6 ============ Jn 11:6 When he had heard therefore that he was sick, he abode two days still in the same place where he was.(KJV-1611) Jn 11:6 Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= John 11:7 ============ Jn 11:7 Then after that saith he to his disciples, Let us go into Judaea again.(KJV-1611) Jn 11:7 Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.(Creole-HT) ======= John 11:8 ============ Jn 11:8 His disciples say unto him, Master, the Jews of late sought to stone thee; and goest thou thither again?(KJV-1611) Jn 11:8 Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?(Creole-HT) ======= John 11:9 ============ Jn 11:9 Jesus answered, Are there not twelve hours in the day? If any man walk in the day, he stumbleth not, because he seeth the light of this world.(KJV-1611) Jn 11:9 Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.(Creole-HT) ======= John 11:10 ============ Jn 11:10 But if a man walk in the night, he stumbleth, because there is no light in him.(KJV-1611) Jn 11:10 Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.(Creole-HT) ======= John 11:11 ============ Jn 11:11 These things said he: and after that he saith unto them, Our friend Lazarus sleepeth; but I go, that I may awake him out of sleep.(KJV-1611) Jn 11:11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.(Creole-HT) ======= John 11:12 ============ Jn 11:12 Then said his disciples, Lord, if he sleep, he shall do well.(KJV-1611) Jn 11:12 Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.(Creole-HT) ======= John 11:13 ============ Jn 11:13 Howbeit Jesus spake of his death: but they thought that he had spoken of taking of rest in sleep.(KJV-1611) Jn 11:13 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè.(Creole-HT) ======= John 11:14 ============ Jn 11:14 Then said Jesus unto them plainly, Lazarus is dead.(KJV-1611) Jn 11:14 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri.(Creole-HT) ======= John 11:15 ============ Jn 11:15 And I am glad for your sakes that I was not there, to the intent ye may believe; nevertheless let us go unto him.(KJV-1611) Jn 11:15 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.(Creole-HT) ======= John 11:16 ============ Jn 11:16 Then said Thomas, which is called Didymus, unto his fellowdisciples, Let us also go, that we may die with him.(KJV-1611) Jn 11:16 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li.(Creole-HT) ======= John 11:17 ============ Jn 11:17 Then when Jesus came, he found that he had lain in the grave four days already.(KJV-1611) Jn 11:17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.(Creole-HT) ======= John 11:18 ============ Jn 11:18 Now Bethany was nigh unto Jerusalem, about fifteen furlongs off:(KJV-1611) Jn 11:18 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.(Creole-HT) ======= John 11:19 ============ Jn 11:19 And many of the Jews came to Martha and Mary, to comfort them concerning their brother.(KJV-1611) Jn 11:19 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.(Creole-HT) ======= John 11:20 ============ Jn 11:20 Then Martha, as soon as she heard that Jesus was coming, went and met him: but Mary sat still in the house.(KJV-1611) Jn 11:20 Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.(Creole-HT) ======= John 11:21 ============ Jn 11:21 Then said Martha unto Jesus, Lord, if thou hadst been here, my brother had not died.(KJV-1611) Jn 11:21 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non.(Creole-HT) ======= John 11:22 ============ Jn 11:22 But I know, that even now, whatsoever thou wilt ask of God, God will give it thee.(KJV-1611) Jn 11:22 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.(Creole-HT) ======= John 11:23 ============ Jn 11:23 Jesus saith unto her, Thy brother shall rise again.(KJV-1611) Jn 11:23 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= John 11:24 ============ Jn 11:24 Martha saith unto him, I know that he shall rise again in the resurrection at the last day.(KJV-1611) Jn 11:24 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.(Creole-HT) ======= John 11:25 ============ Jn 11:25 Jesus said unto her, I am the resurrection, and the life: he that believeth in me, though he were dead, yet shall he live:(KJV-1611) Jn 11:25 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.(Creole-HT) ======= John 11:26 ============ Jn 11:26 And whosoever liveth and believeth in me shall never die. Believest thou this?(KJV-1611) Jn 11:26 Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?(Creole-HT) ======= John 11:27 ============ Jn 11:27 She saith unto him, Yea, Lord: I believe that thou art the Christ, the Son of God, which should come into the world.(KJV-1611) Jn 11:27 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.(Creole-HT) ======= John 11:28 ============ Jn 11:28 And when she had so said, she went her way, and called Mary her sister secretly, saying, The Master is come, and calleth for thee.(KJV-1611) Jn 11:28 Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.(Creole-HT) ======= John 11:29 ============ Jn 11:29 As soon as she heard that, she arose quickly, and came unto him.(KJV-1611) Jn 11:29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.(Creole-HT) ======= John 11:30 ============ Jn 11:30 Now Jesus was not yet come into the town, but was in that place where Martha met him.(KJV-1611) Jn 11:30 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)(Creole-HT) ======= John 11:31 ============ Jn 11:31 The Jews then which were with her in the house, and comforted her, when they saw Mary, that she rose up hastily and went out, followed her, saying, She goeth unto the grave to weep there.(KJV-1611) Jn 11:31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.(Creole-HT) ======= John 11:32 ============ Jn 11:32 Then when Mary was come where Jesus was, and saw him, she fell down at his feet, saying unto him, Lord, if thou hadst been here, my brother had not died.(KJV-1611) Jn 11:32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.(Creole-HT) ======= John 11:33 ============ Jn 11:33 When Jesus therefore saw her weeping, and the Jews also weeping which came with her, he groaned in the spirit, and was troubled.(KJV-1611) Jn 11:33 Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.(Creole-HT) ======= John 11:34 ============ Jn 11:34 And said, Where have ye laid him? They said unto him, Lord, come and see.(KJV-1611) Jn 11:34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.(Creole-HT) ======= John 11:35 ============ Jn 11:35 Jesus wept.(KJV-1611) Jn 11:35 Jezi kriye.(Creole-HT) ======= John 11:36 ============ Jn 11:36 Then said the Jews, Behold how he loved him!(KJV-1611) Jn 11:36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!(Creole-HT) ======= John 11:37 ============ Jn 11:37 And some of them said, Could not this man, which opened the eyes of the blind, have caused that even this man should not have died?(KJV-1611) Jn 11:37 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?(Creole-HT) ======= John 11:38 ============ Jn 11:38 Jesus therefore again groaning in himself cometh to the grave. It was a cave, and a stone lay upon it.(KJV-1611) Jn 11:38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.(Creole-HT) ======= John 11:39 ============ Jn 11:39 Jesus said, Take ye away the stone. Martha, the sister of him that was dead, saith unto him, Lord, by this time he stinketh: for he hath been dead four days.(KJV-1611) Jn 11:39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.(Creole-HT) ======= John 11:40 ============ Jn 11:40 Jesus saith unto her, Said I not unto thee, that, if thou wouldest believe, thou shouldest see the glory of God?(KJV-1611) Jn 11:40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?(Creole-HT) ======= John 11:41 ============ Jn 11:41 Then they took away the stone from the place where the dead was laid. And Jesus lifted up his eyes, and said, Father, I thank thee that thou hast heard me.(KJV-1611) Jn 11:41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.(Creole-HT) ======= John 11:42 ============ Jn 11:42 And I knew that thou hearest me always: but because of the people which stand by I said it, that they may believe that thou hast sent me.(KJV-1611) Jn 11:42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.(Creole-HT) ======= John 11:43 ============ Jn 11:43 And when he thus had spoken, he cried with a loud voice, Lazarus, come forth.(KJV-1611) Jn 11:43 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!(Creole-HT) ======= John 11:44 ============ Jn 11:44 And he that was dead came forth, bound hand and foot with graveclothes: and his face was bound about with a napkin. Jesus saith unto them, Loose him, and let him go.(KJV-1611) Jn 11:44 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.(Creole-HT) ======= John 11:45 ============ Jn 11:45 Then many of the Jews which came to Mary, and had seen the things which Jesus did, believed on him.(KJV-1611) Jn 11:45 Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.(Creole-HT) ======= John 11:46 ============ Jn 11:46 But some of them went their ways to the Pharisees, and told them what things Jesus had done.(KJV-1611) Jn 11:46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.(Creole-HT) ======= John 11:47 ============ Jn 11:47 Then gathered the chief priests and the Pharisees a council, and said, What do we? for this man doeth many miracles.(KJV-1611) Jn 11:47 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.(Creole-HT) ======= John 11:48 ============ Jn 11:48 If we let him thus alone, all men will believe on him: and the Romans shall come and take away both our place and nation.(KJV-1611) Jn 11:48 Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.(Creole-HT) ======= John 11:49 ============ Jn 11:49 And one of them, named Caiaphas, being the high priest that same year, said unto them, Ye know nothing at all,(KJV-1611) Jn 11:49 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen!(Creole-HT) ======= John 11:50 ============ Jn 11:50 Nor consider that it is expedient for us, that one man should die for the people, and that the whole nation perish not.(KJV-1611) Jn 11:50 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.(Creole-HT) ======= John 11:51 ============ Jn 11:51 And this spake he not of himself: but being high priest that year, he prophesied that Jesus should die for that nation;(KJV-1611) Jn 11:51 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.(Creole-HT) ======= John 11:52 ============ Jn 11:52 And not for that nation only, but that also he should gather together in one the children of God that were scattered abroad.(KJV-1611) Jn 11:52 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)(Creole-HT) ======= John 11:53 ============ Jn 11:53 Then from that day forth they took counsel together for to put him to death.(KJV-1611) Jn 11:53 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.(Creole-HT) ======= John 11:54 ============ Jn 11:54 Jesus therefore walked no more openly among the Jews; but went thence unto a country near to the wilderness, into a city called Ephraim, and there continued with his disciples.(KJV-1611) Jn 11:54 Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.(Creole-HT) ======= John 11:55 ============ Jn 11:55 And the Jews' passover was nigh at hand: and many went out of the country up to Jerusalem before the passover, to purify themselves.(KJV-1611) Jn 11:55 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= John 11:56 ============ Jn 11:56 Then sought they for Jesus, and spake among themselves, as they stood in the temple, What think ye, that he will not come to the feast?(KJV-1611) Jn 11:56 Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la?(Creole-HT) ======= John 11:57 ============ Jn 11:57 Now both the chief priests and the Pharisees had given a commandment, that, if any man knew where he were, he should shew it, that they might take him.(KJV-1611) Jn 11:57 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li.(Creole-HT) ======= John 12:1 ============ Jn 12:1 Then Jesus six days before the passover came to Bethany, where Lazarus was, which had been dead, whom he raised from the dead.(KJV-1611) Jn 12:1 Sis jou anvan fèt Delivrans jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te fè leve soti vivan nan lanmò a.(Creole-HT) ======= John 12:2 ============ Jn 12:2 There they made him a supper; and Martha served: but Lazarus was one of them that sat at the table with him.(KJV-1611) Jn 12:2 Antan l' te la, yo ofri l' manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi.(Creole-HT) ======= John 12:3 ============ Jn 12:3 Then took Mary a pound of ointment of spikenard, very costly, and anointed the feet of Jesus, and wiped his feet with her hair: and the house was filled with the odour of the ointment.(KJV-1611) Jn 12:3 Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a.(Creole-HT) ======= John 12:4 ============ Jn 12:4 Then saith one of his disciples, Judas Iscariot, Simon's son, which should betray him,(KJV-1611) Jn 12:4 Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa:(Creole-HT) ======= John 12:5 ============ Jn 12:5 Why was not this ointment sold for three hundred pence, and given to the poor?(KJV-1611) Jn 12:5 Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan goud? Yo ta bay pòv lajan sa a.(Creole-HT) ======= John 12:6 ============ Jn 12:6 This he said, not that he cared for the poor; but because he was a thief, and had the bag, and bare what was put therein.(KJV-1611) Jn 12:6 Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li.(Creole-HT) ======= John 12:7 ============ Jn 12:7 Then said Jesus, Let her alone: against the day of my burying hath she kept this.(KJV-1611) Jn 12:7 Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a.(Creole-HT) ======= John 12:8 ============ Jn 12:8 For the poor always ye have with you; but me ye have not always.(KJV-1611) Jn 12:8 Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan.(Creole-HT) ======= John 12:9 ============ Jn 12:9 Much people of the Jews therefore knew that he was there: and they came not for Jesus' sake only, but that they might see Lazarus also, whom he had raised from the dead.(KJV-1611) Jn 12:9 Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y' ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve soti vivan nan lanmò a.(Creole-HT) ======= John 12:10 ============ Jn 12:10 But the chief priests consulted that they might put Lazarus also to death;(KJV-1611) Jn 12:10 Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou,(Creole-HT) ======= John 12:11 ============ Jn 12:11 Because that by reason of him many of the Jews went away, and believed on Jesus.(KJV-1611) Jn 12:11 paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi.(Creole-HT) ======= John 12:12 ============ Jn 12:12 On the next day much people that were come to the feast, when they heard that Jesus was coming to Jerusalem,(KJV-1611) Jn 12:12 Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= John 12:13 ============ Jn 12:13 Took branches of palm trees, and went forth to meet him, and cried, Hosanna: Blessed is the King of Israel that cometh in the name of the Lord.(KJV-1611) Jn 12:13 Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti al kontre li. Yo t'ap plede rele: Lwanj pou Bondye. benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= John 12:14 ============ Jn 12:14 And Jesus, when he had found a young ass, sat thereon; as it is written,(KJV-1611) Jn 12:14 Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la:(Creole-HT) ======= John 12:15 ============ Jn 12:15 Fear not, daughter of Sion: behold, thy King cometh, sitting on an ass's colt.(KJV-1611) Jn 12:15 Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik.(Creole-HT) ======= John 12:16 ============ Jn 12:16 These things understood not his disciples at the first: but when Jesus was glorified, then remembered they that these things were written of him, and that they had done these things unto him.(KJV-1611) Jn 12:16 Disip yo pa t' konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li.(Creole-HT) ======= John 12:17 ============ Jn 12:17 The people therefore that was with him when he called Lazarus out of his grave, and raised him from the dead, bare record.(KJV-1611) Jn 12:17 Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l' te rele Laza pou l' te fè l' soti nan kavo a, lè l' te fè l' leve soti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè.(Creole-HT) ======= John 12:18 ============ Jn 12:18 For this cause the people also met him, for that they heard that he had done this miracle.(KJV-1611) Jn 12:18 Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li.(Creole-HT) ======= John 12:19 ============ Jn 12:19 The Pharisees therefore said among themselves, Perceive ye how ye prevail nothing? behold, the world is gone after him.(KJV-1611) Jn 12:19 Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!(Creole-HT) ======= John 12:20 ============ Jn 12:20 And there were certain Greeks among them that came up to worship at the feast:(KJV-1611) Jn 12:20 Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la.(Creole-HT) ======= John 12:21 ============ Jn 12:21 The same came therefore to Philip, which was of Bethsaida of Galilee, and desired him, saying, Sir, we would see Jesus.(KJV-1611) Jn 12:21 Y' al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l' konsa: Msye, nou ta renmen wè Jezi.(Creole-HT) ======= John 12:22 ============ Jn 12:22 Philip cometh and telleth Andrew: and again Andrew and Philip tell Jesus.(KJV-1611) Jn 12:22 Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa.(Creole-HT) ======= John 12:23 ============ Jn 12:23 And Jesus answered them, saying, The hour is come, that the Son of man should be glorified.(KJV-1611) Jn 12:23 Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.(Creole-HT) ======= John 12:24 ============ Jn 12:24 Verily, verily, I say unto you, Except a corn of wheat fall into the ground and die, it abideth alone: but if it die, it bringeth forth much fruit.(KJV-1611) Jn 12:24 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l' mouri. Men tou, si l' mouri, l'ap bay anpil grenn.(Creole-HT) ======= John 12:25 ============ Jn 12:25 He that loveth his life shall lose it; and he that hateth his life in this world shall keep it unto life eternal.(KJV-1611) Jn 12:25 Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 12:26 ============ Jn 12:26 If any man serve me, let him follow me; and where I am, there shall also my servant be: if any man serve me, him will my Father honour.(KJV-1611) Jn 12:26 Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.(Creole-HT) ======= John 12:27 ============ Jn 12:27 Now is my soul troubled; and what shall I say? Father, save me from this hour: but for this cause came I unto this hour.(KJV-1611) Jn 12:27 Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.(Creole-HT) ======= John 12:28 ============ Jn 12:28 Father, glorify thy name. Then came there a voice from heaven, saying, I have both glorified it, and will glorify it again.(KJV-1611) Jn 12:28 Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò.(Creole-HT) ======= John 12:29 ============ Jn 12:29 The people therefore, that stood by, and heard it, said that it thundered: others said, An angel spake to him.(KJV-1611) Jn 12:29 Foul moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di: Se yon kout loraj! Gen lòt ki t'ap di: Se yon zanj Bondye ki pale avèk li.(Creole-HT) ======= John 12:30 ============ Jn 12:30 Jesus answered and said, This voice came not because of me, but for your sakes.(KJV-1611) Jn 12:30 Men, Jezi di yo: Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande.(Creole-HT) ======= John 12:31 ============ Jn 12:31 Now is the judgment of this world: now shall the prince of this world be cast out.(KJV-1611) Jn 12:31 Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.(Creole-HT) ======= John 12:32 ============ Jn 12:32 And I, if I be lifted up from the earth, will draw all men unto me.(KJV-1611) Jn 12:32 Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= John 12:33 ============ Jn 12:33 This he said, signifying what death he should die.(KJV-1611) Jn 12:33 (Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.)(Creole-HT) ======= John 12:34 ============ Jn 12:34 The people answered him, We have heard out of the law that Christ abideth for ever: and how sayest thou, The Son of man must be lifted up? who is this Son of man?(KJV-1611) Jn 12:34 Foul moun yo reponn li: Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l' viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a?(Creole-HT) ======= John 12:35 ============ Jn 12:35 Then Jesus said unto them, Yet a little while is the light with you. Walk while ye have the light, lest darkness come upon you: for he that walketh in darkness knoweth not whither he goeth.(KJV-1611) Jn 12:35 Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.(Creole-HT) ======= John 12:36 ============ Jn 12:36 While ye have light, believe in the light, that ye may be the children of light. These things spake Jesus, and departed, and did hide himself from them.(KJV-1611) Jn 12:36 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen.(Creole-HT) ======= John 12:37 ============ Jn 12:37 But though he had done so many miracles before them, yet they believed not on him:(KJV-1611) Jn 12:37 Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li.(Creole-HT) ======= John 12:38 ============ Jn 12:38 That the saying of Esaias the prophet might be fulfilled, which he spake, Lord, who hath believed our report? and to whom hath the arm of the Lord been revealed?(KJV-1611) Jn 12:38 Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a?(Creole-HT) ======= John 12:39 ============ Jn 12:39 Therefore they could not believe, because that Esaias said again,(KJV-1611) Jn 12:39 Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò:(Creole-HT) ======= John 12:40 ============ Jn 12:40 He hath blinded their eyes, and hardened their heart; that they should not see with their eyes, nor understand with their heart, and be converted, and I should heal them.(KJV-1611) Jn 12:40 Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.(Creole-HT) ======= John 12:41 ============ Jn 12:41 These things said Esaias, when he saw his glory, and spake of him.(KJV-1611) Jn 12:41 Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.(Creole-HT) ======= John 12:42 ============ Jn 12:42 Nevertheless among the chief rulers also many believed on him; but because of the Pharisees they did not confess him, lest they should be put out of the synagogue:(KJV-1611) Jn 12:42 Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.(Creole-HT) ======= John 12:43 ============ Jn 12:43 For they loved the praise of men more than the praise of God.(KJV-1611) Jn 12:43 Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye.(Creole-HT) ======= John 12:44 ============ Jn 12:44 Jesus cried and said, He that believeth on me, believeth not on me, but on him that sent me.(KJV-1611) Jn 12:44 Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou.(Creole-HT) ======= John 12:45 ============ Jn 12:45 And he that seeth me seeth him that sent me.(KJV-1611) Jn 12:45 Moun ki wè m', li wè moun ki voye m' lan tou.(Creole-HT) ======= John 12:46 ============ Jn 12:46 I am come a light into the world, that whosoever believeth on me should not abide in darkness.(KJV-1611) Jn 12:46 Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa.(Creole-HT) ======= John 12:47 ============ Jn 12:47 And if any man hear my words, and believe not, I judge him not: for I came not to judge the world, but to save the world.(KJV-1611) Jn 12:47 Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo.(Creole-HT) ======= John 12:48 ============ Jn 12:48 He that rejecteth me, and receiveth not my words, hath one that judgeth him: the word that I have spoken, the same shall judge him in the last day.(KJV-1611) Jn 12:48 Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.(Creole-HT) ======= John 12:49 ============ Jn 12:49 For I have not spoken of myself; but the Father which sent me, he gave me a commandment, what I should say, and what I should speak.(KJV-1611) Jn 12:49 Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.(Creole-HT) ======= John 12:50 ============ Jn 12:50 And I know that his commandment is life everlasting: whatsoever I speak therefore, even as the Father said unto me, so I speak.(KJV-1611) Jn 12:50 Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la.(Creole-HT) ======= John 13:1 ============ Jn 13:1 Now before the feast of the passover, when Jesus knew that his hour was come that he should depart out of this world unto the Father, having loved his own which were in the world, he loved them unto the end.(KJV-1611) Jn 13:1 Se te jou anvan fèt Delivrans jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou l' te kite tè sa a, pou li al jwenn Papa a. Li pa t' manke renmen moun pa l' yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo nèt ale.(Creole-HT) ======= John 13:2 ============ Jn 13:2 And supper being ended, the devil having now put into the heart of Judas Iscariot, Simon's son, to betray him;(KJV-1611) Jn 13:2 Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gen tan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskariòt la, pou l' te trayi Jezi.(Creole-HT) ======= John 13:3 ============ Jn 13:3 Jesus knowing that the Father had given all things into his hands, and that he was come from God, and went to God;(KJV-1611) Jn 13:3 Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.(Creole-HT) ======= John 13:4 ============ Jn 13:4 He riseth from supper, and laid aside his garments; and took a towel, and girded himself.(KJV-1611) Jn 13:4 Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li.(Creole-HT) ======= John 13:5 ============ Jn 13:5 After that he poureth water into a bason, and began to wash the disciples' feet, and to wipe them with the towel wherewith he was girded.(KJV-1611) Jn 13:5 Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.(Creole-HT) ======= John 13:6 ============ Jn 13:6 Then cometh he to Simon Peter: and Peter saith unto him, Lord, dost thou wash my feet?(KJV-1611) Jn 13:6 Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?(Creole-HT) ======= John 13:7 ============ Jn 13:7 Jesus answered and said unto him, What I do thou knowest not now; but thou shalt know hereafter.(KJV-1611) Jn 13:7 Jezi reponn li: Koulye a ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, wa konprann pita.(Creole-HT) ======= John 13:8 ============ Jn 13:8 Peter saith unto him, Thou shalt never wash my feet. Jesus answered him, If I wash thee not, thou hast no part with me.(KJV-1611) Jn 13:8 Pye di li: Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: Si m' pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.(Creole-HT) ======= John 13:9 ============ Jn 13:9 Simon Peter saith unto him, Lord, not my feet only, but also my hands and my head.(KJV-1611) Jn 13:9 Simon Pyè di li: Si se konsa, Mèt, se pa pye m' ase pou ou lave. Lave men m' yo tou ansanm ak tèt mwen.(Creole-HT) ======= John 13:10 ============ Jn 13:10 Jesus saith to him, He that is washed needeth not save to wash his feet, but is clean every whit: and ye are clean, but not all.(KJV-1611) Jn 13:10 Jezi di li: Lè yon moun fin benyen, tout kò l' pwòp. Se pye l' ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.(Creole-HT) ======= John 13:11 ============ Jn 13:11 For he knew who should betray him; therefore said he, Ye are not all clean.(KJV-1611) Jn 13:11 (Jezi te konnen ki moun ki tapral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)(Creole-HT) ======= John 13:12 ============ Jn 13:12 So after he had washed their feet, and had taken his garments, and was set down again, he said unto them, Know ye what I have done to you?(KJV-1611) Jn 13:12 Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?(Creole-HT) ======= John 13:13 ============ Jn 13:13 Ye call me Master and Lord: and ye say well; for so I am.(KJV-1611) Jn 13:13 Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.(Creole-HT) ======= John 13:14 ============ Jn 13:14 If I then, your Lord and Master, have washed your feet; ye also ought to wash one another's feet.(KJV-1611) Jn 13:14 Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.(Creole-HT) ======= John 13:15 ============ Jn 13:15 For I have given you an example, that ye should do as I have done to you.(KJV-1611) Jn 13:15 Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.(Creole-HT) ======= John 13:16 ============ Jn 13:16 Verily, verily, I say unto you, The servant is not greater than his lord; neither he that is sent greater than he that sent him.(KJV-1611) Jn 13:16 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.(Creole-HT) ======= John 13:17 ============ Jn 13:17 If ye know these things, happy are ye if ye do them.(KJV-1611) Jn 13:17 Koulye a nou konn bagay sa yo. benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.(Creole-HT) ======= John 13:18 ============ Jn 13:18 I speak not of you all: I know whom I have chosen: but that the scripture may be fulfilled, He that eateth bread with me hath lifted up his heel against me.(KJV-1611) Jn 13:18 Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.(Creole-HT) ======= John 13:19 ============ Jn 13:19 Now I tell you before it come, that, when it is come to pass, ye may believe that I am he.(KJV-1611) Jn 13:19 M'ap tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.(Creole-HT) ======= John 13:20 ============ Jn 13:20 Verily, verily, I say unto you, He that receiveth whomsoever I send receiveth me; and he that receiveth me receiveth him that sent me.(KJV-1611) Jn 13:20 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m' tou. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan.(Creole-HT) ======= John 13:21 ============ Jn 13:21 When Jesus had thus said, he was troubled in spirit, and testified, and said, Verily, verily, I say unto you, that one of you shall betray me.(KJV-1611) Jn 13:21 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.(Creole-HT) ======= John 13:22 ============ Jn 13:22 Then the disciples looked one on another, doubting of whom he spake.(KJV-1611) Jn 13:22 Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale.(Creole-HT) ======= John 13:23 ============ Jn 13:23 Now there was leaning on Jesus' bosom one of his disciples, whom Jesus loved.(KJV-1611) Jn 13:23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.(Creole-HT) ======= John 13:24 ============ Jn 13:24 Simon Peter therefore beckoned to him, that he should ask who it should be of whom he spake.(KJV-1611) Jn 13:24 Simon Pyè fè l' siy pou l' mande Jezi ki moun li t'ap pale.(Creole-HT) ======= John 13:25 ============ Jn 13:25 He then lying on Jesus' breast saith unto him, Lord, who is it?(KJV-1611) Jn 13:25 Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: Seyè, kilès sa a?(Creole-HT) ======= John 13:26 ============ Jn 13:26 Jesus answered, He it is, to whom I shall give a sop, when I have dipped it. And when he had dipped the sop, he gave it to Judas Iscariot, the son of Simon.(KJV-1611) Jn 13:26 Jezi reponn li: Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun wa wè m'a lonje l' bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l', li lonje l' bay Jida, pitit Simon Iskariòt la.(Creole-HT) ======= John 13:27 ============ Jn 13:27 And after the sop Satan entered into him. Then said Jesus unto him, That thou doest, do quickly.(KJV-1611) Jn 13:27 Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit.(Creole-HT) ======= John 13:28 ============ Jn 13:28 Now no man at the table knew for what intent he spake this unto him.(KJV-1611) Jn 13:28 (Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa.(Creole-HT) ======= John 13:29 ============ Jn 13:29 For some of them thought, because Judas had the bag, that Jesus had said unto him, Buy those things that we have need of against the feast; or, that he should give something to the poor.(KJV-1611) Jn 13:29 Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)(Creole-HT) ======= John 13:30 ============ Jn 13:30 He then having received the sop went immediately out: and it was night.(KJV-1611) Jn 13:30 Se konsa, Jida pran moso pen an; lamenm li soti. Te fin fè nwa deyò a.(Creole-HT) ======= John 13:31 ============ Jn 13:31 Therefore, when he was gone out, Jesus said, Now is the Son of man glorified, and God is glorified in him.(KJV-1611) Jn 13:31 Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.(Creole-HT) ======= John 13:32 ============ Jn 13:32 If God be glorified in him, God shall also glorify him in himself, and shall straightway glorify him.(KJV-1611) Jn 13:32 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.(Creole-HT) ======= John 13:33 ============ Jn 13:33 Little children, yet a little while I am with you. Ye shall seek me: and as I said unto the Jews, Whither I go, ye cannot come; so now I say to you.(KJV-1611) Jn 13:33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, koulye a m'ap di nou sa m' te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m' prale a.(Creole-HT) ======= John 13:34 ============ Jn 13:34 A new commandment I give unto you, That ye love one another; as I have loved you, that ye also love one another.(KJV-1611) Jn 13:34 Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.(Creole-HT) ======= John 13:35 ============ Jn 13:35 By this shall all men know that ye are my disciples, if ye have love one to another.(KJV-1611) Jn 13:35 Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.(Creole-HT) ======= John 13:36 ============ Jn 13:36 Simon Peter said unto him, Lord, whither goest thou? Jesus answered him, Whither I go, thou canst not follow me now; but thou shalt follow me afterwards.(KJV-1611) Jn 13:36 Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.(Creole-HT) ======= John 13:37 ============ Jn 13:37 Peter said unto him, Lord, why cannot I follow thee now? I will lay down my life for thy sake.(KJV-1611) Jn 13:37 Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.(Creole-HT) ======= John 13:38 ============ Jn 13:38 Jesus answered him, Wilt thou lay down thy life for my sake? Verily, verily, I say unto thee, The cock shall not crow, till thou hast denied me thrice.(KJV-1611) Jn 13:38 Jezi reponn li: Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gen tan di ou pa janm konnen m' an twa fwa.(Creole-HT) ======= John 14:1 ============ Jn 14:1 Let not your heart be troubled: ye believe in God, believe also in me.(KJV-1611) Jn 14:1 Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.(Creole-HT) ======= John 14:2 ============ Jn 14:2 In my Father's house are many mansions: if it were not so, I would have told you. I go to prepare a place for you.(KJV-1611) Jn 14:2 Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa.(Creole-HT) ======= John 14:3 ============ Jn 14:3 And if I go and prepare a place for you, I will come again, and receive you unto myself; that where I am, there ye may be also.(KJV-1611) Jn 14:3 Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.(Creole-HT) ======= John 14:4 ============ Jn 14:4 And whither I go ye know, and the way ye know.(KJV-1611) Jn 14:4 Nou konnen chemen ki mennen kote m' prale a.(Creole-HT) ======= John 14:5 ============ Jn 14:5 Thomas saith unto him, Lord, we know not whither thou goest; and how can we know the way?(KJV-1611) Jn 14:5 Toma di li: Seyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n' pran an?(Creole-HT) ======= John 14:6 ============ Jn 14:6 Jesus saith unto him, I am the way, the truth, and the life: no man cometh unto the Father, but by me.(KJV-1611) Jn 14:6 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.(Creole-HT) ======= John 14:7 ============ Jn 14:7 If ye had known me, ye should have known my Father also: and from henceforth ye know him, and have seen him.(KJV-1611) Jn 14:7 Si nou konnen m', n'a konn Papa m' tou. Men, depi koulye a nou konnen l', nou wè l' tou.(Creole-HT) ======= John 14:8 ============ Jn 14:8 Philip saith unto him, Lord, shew us the Father, and it sufficeth us.(KJV-1611) Jn 14:8 Filip di l' konsa: Seyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.(Creole-HT) ======= John 14:9 ============ Jn 14:9 Jesus saith unto him, Have I been so long time with you, and yet hast thou not known me, Philip? he that hath seen me hath seen the Father; and how sayest thou then, Shew us the Father?(KJV-1611) Jn 14:9 Jezi reponn li: Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m' toujou? Moun ki wè m', li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m' Papa a?(Creole-HT) ======= John 14:10 ============ Jn 14:10 Believest thou not that I am in the Father, and the Father in me? the words that I speak unto you I speak not of myself: but the Father that dwelleth in me, he doeth the works.(KJV-1611) Jn 14:10 Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.(Creole-HT) ======= John 14:11 ============ Jn 14:11 Believe me that I am in the Father, and the Father in me: or else believe me for the very works' sake.(KJV-1611) Jn 14:11 Se pou nou kwè m' lè m' di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.(Creole-HT) ======= John 14:12 ============ Jn 14:12 Verily, verily, I say unto you, He that believeth on me, the works that I do shall he do also; and greater works than these shall he do; because I go unto my Father.(KJV-1611) Jn 14:12 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l' fè tou sa m'ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.(Creole-HT) ======= John 14:13 ============ Jn 14:13 And whatsoever ye shall ask in my name, that will I do, that the Father may be glorified in the Son.(KJV-1611) Jn 14:13 Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a.(Creole-HT) ======= John 14:14 ============ Jn 14:14 If ye shall ask any thing in my name, I will do it.(KJV-1611) Jn 14:14 (Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou.)(Creole-HT) ======= John 14:15 ============ Jn 14:15 If ye love me, keep my commandments.(KJV-1611) Jn 14:15 Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.(Creole-HT) ======= John 14:16 ============ Jn 14:16 And I will pray the Father, and he shall give you another Comforter, that he may abide with you for ever;(KJV-1611) Jn 14:16 M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.(Creole-HT) ======= John 14:17 ============ Jn 14:17 Even the Spirit of truth; whom the world cannot receive, because it seeth him not, neither knoweth him: but ye know him; for he dwelleth with you, and shall be in you.(KJV-1611) Jn 14:17 Moun k'ap viv dapre prensip lemonn pa ka resevwa l', paske yo pa ka wè l', ni yo pa ka konnen li. Men nou menm, nou konnen l' paske li rete nan kè nou, paske li nan nou.(Creole-HT) ======= John 14:18 ============ Jn 14:18 I will not leave you comfortless: I will come to you.(KJV-1611) Jn 14:18 Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.(Creole-HT) ======= John 14:19 ============ Jn 14:19 Yet a little while, and the world seeth me no more; but ye see me: because I live, ye shall live also.(KJV-1611) Jn 14:19 Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.(Creole-HT) ======= John 14:20 ============ Jn 14:20 At that day ye shall know that I am in my Father, and ye in me, and I in you.(KJV-1611) Jn 14:20 Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.(Creole-HT) ======= John 14:21 ============ Jn 14:21 He that hath my commandments, and keepeth them, he it is that loveth me: and he that loveth me shall be loved of my Father, and I will love him, and will manifest myself to him.(KJV-1611) Jn 14:21 Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.(Creole-HT) ======= John 14:22 ============ Jn 14:22 Judas saith unto him, not Iscariot, Lord, how is it that thou wilt manifest thyself unto us, and not unto the world?(KJV-1611) Jn 14:22 Jid (se pa Jida Iskariòt la non) di l' konsa: Seyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?(Creole-HT) ======= John 14:23 ============ Jn 14:23 Jesus answered and said unto him, If a man love me, he will keep my words: and my Father will love him, and we will come unto him, and make our abode with him.(KJV-1611) Jn 14:23 Jezi reponn li: Moun ki renmen m', se li menm ki va fè tou sa m' di l' fè. Papa m' va renmen l' tou. Papa m' va vin jwenn li ansanm avè m', n'a viv nan li.(Creole-HT) ======= John 14:24 ============ Jn 14:24 He that loveth me not keepeth not my sayings: and the word which ye hear is not mine, but the Father's which sent me.(KJV-1611) Jn 14:24 Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.(Creole-HT) ======= John 14:25 ============ Jn 14:25 These things have I spoken unto you, being yet present with you.(KJV-1611) Jn 14:25 Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.(Creole-HT) ======= John 14:26 ============ Jn 14:26 But the Comforter, which is the Holy Ghost, whom the Father will send in my name, he shall teach you all things, and bring all things to your remembrance, whatsoever I have said unto you.(KJV-1611) Jn 14:26 Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.(Creole-HT) ======= John 14:27 ============ Jn 14:27 Peace I leave with you, my peace I give unto you: not as the world giveth, give I unto you. Let not your heart be troubled, neither let it be afraid.(KJV-1611) Jn 14:27 M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.(Creole-HT) ======= John 14:28 ============ Jn 14:28 Ye have heard how I said unto you, I go away, and come again unto you. If ye loved me, ye would rejoice, because I said, I go unto the Father: for my Father is greater than I.(KJV-1611) Jn 14:28 Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.(Creole-HT) ======= John 14:29 ============ Jn 14:29 And now I have told you before it come to pass, that, when it is come to pass, ye might believe.(KJV-1611) Jn 14:29 Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.(Creole-HT) ======= John 14:30 ============ Jn 14:30 Hereafter I will not talk much with you: for the prince of this world cometh, and hath nothing in me.(KJV-1611) Jn 14:30 Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.(Creole-HT) ======= John 14:31 ============ Jn 14:31 But that the world may know that I love the Father; and as the Father gave me commandment, even so I do. Arise, let us go hence.(KJV-1611) Jn 14:31 Men, se pou tout moun sou latè konnen mwen renmen Papa m'. Wi, fòk yo konnen m'ap fè sa Papa m' te ban m' lòd fè a. Leve non. Ann sot isit la.(Creole-HT) ======= John 15:1 ============ Jn 15:1 I am the true vine, and my Father is the husbandman.(KJV-1611) Jn 15:1 Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.(Creole-HT) ======= John 15:2 ============ Jn 15:2 Every branch in me that beareth not fruit he taketh away: and every branch that beareth fruit, he purgeth it, that it may bring forth more fruit.(KJV-1611) Jn 15:2 Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou.(Creole-HT) ======= John 15:3 ============ Jn 15:3 Now ye are clean through the word which I have spoken unto you.(KJV-1611) Jn 15:3 Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= John 15:4 ============ Jn 15:4 Abide in me, and I in you. As the branch cannot bear fruit of itself, except it abide in the vine; no more can ye, except ye abide in me.(KJV-1611) Jn 15:4 Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.(Creole-HT) ======= John 15:5 ============ Jn 15:5 I am the vine, ye are the branches: He that abideth in me, and I in him, the same bringeth forth much fruit: for without me ye can do nothing.(KJV-1611) Jn 15:5 Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m', moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.(Creole-HT) ======= John 15:6 ============ Jn 15:6 If a man abide not in me, he is cast forth as a branch, and is withered; and men gather them, and cast them into the fire, and they are burned.(KJV-1611) Jn 15:6 Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.(Creole-HT) ======= John 15:7 ============ Jn 15:7 If ye abide in me, and my words abide in you, ye shall ask what ye will, and it shall be done unto you.(KJV-1611) Jn 15:7 Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.(Creole-HT) ======= John 15:8 ============ Jn 15:8 Herein is my Father glorified, that ye bear much fruit; so shall ye be my disciples.(KJV-1611) Jn 15:8 Men ki jan pouvwa Papa m' lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.(Creole-HT) ======= John 15:9 ============ Jn 15:9 As the Father hath loved me, so have I loved you: continue ye in my love.(KJV-1611) Jn 15:9 Jan Papa a renmen m' lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.(Creole-HT) ======= John 15:10 ============ Jn 15:10 If ye keep my commandments, ye shall abide in my love; even as I have kept my Father's commandments, and abide in his love.(KJV-1611) Jn 15:10 Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou.(Creole-HT) ======= John 15:11 ============ Jn 15:11 These things have I spoken unto you, that my joy might remain in you, and that your joy might be full.(KJV-1611) Jn 15:11 Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.(Creole-HT) ======= John 15:12 ============ Jn 15:12 This is my commandment, That ye love one another, as I have loved you.(KJV-1611) Jn 15:12 Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.(Creole-HT) ======= John 15:13 ============ Jn 15:13 Greater love hath no man than this, that a man lay down his life for his friends.(KJV-1611) Jn 15:13 Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.(Creole-HT) ======= John 15:14 ============ Jn 15:14 Ye are my friends, if ye do whatsoever I command you.(KJV-1611) Jn 15:14 Nou tout, se zanmi m' nou ye depi nou fè sa m' mande nou fè.(Creole-HT) ======= John 15:15 ============ Jn 15:15 Henceforth I call you not servants; for the servant knoweth not what his lord doeth: but I have called you friends; for all things that I have heard of my Father I have made known unto you.(KJV-1611) Jn 15:15 Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.(Creole-HT) ======= John 15:16 ============ Jn 15:16 Ye have not chosen me, but I have chosen you, and ordained you, that ye should go and bring forth fruit, and that your fruit should remain: that whatsoever ye shall ask of the Father in my name, he may give it you.(KJV-1611) Jn 15:16 Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.(Creole-HT) ======= John 15:17 ============ Jn 15:17 These things I command you, that ye love one another.(KJV-1611) Jn 15:17 Wi, men sa m' mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.(Creole-HT) ======= John 15:18 ============ Jn 15:18 If the world hate you, ye know that it hated me before it hated you.(KJV-1611) Jn 15:18 Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.(Creole-HT) ======= John 15:19 ============ Jn 15:19 If ye were of the world, the world would love his own: but because ye are not of the world, but I have chosen you out of the world, therefore the world hateth you.(KJV-1611) Jn 15:19 Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò.(Creole-HT) ======= John 15:20 ============ Jn 15:20 Remember the word that I said unto you, The servant is not greater than his lord. If they have persecuted me, they will also persecute you; if they have kept my saying, they will keep yours also.(KJV-1611) Jn 15:20 Chonje sa m' te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m', y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m' te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.(Creole-HT) ======= John 15:21 ============ Jn 15:21 But all these things will they do unto you for my name's sake, because they know not him that sent me.(KJV-1611) Jn 15:21 Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan.(Creole-HT) ======= John 15:22 ============ Jn 15:22 If I had not come and spoken unto them, they had not had sin: but now they have no cloak for their sin.(KJV-1611) Jn 15:22 Si m' pa t' vini, si m' pa t' pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.(Creole-HT) ======= John 15:23 ============ Jn 15:23 He that hateth me hateth my Father also.(KJV-1611) Jn 15:23 Moun ki rayi m', li rayi Papa m' tou.(Creole-HT) ======= John 15:24 ============ Jn 15:24 If I had not done among them the works which none other man did, they had not had sin: but now have they both seen and hated both me and my Father.(KJV-1611) Jn 15:24 Si m' pa t' fè bagay okenn lòt moun pa t' janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa m' fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen.(Creole-HT) ======= John 15:25 ============ Jn 15:25 But this cometh to pass, that the word might be fulfilled that is written in their law, They hated me without a cause.(KJV-1611) Jn 15:25 Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen.(Creole-HT) ======= John 15:26 ============ Jn 15:26 But when the Comforter is come, whom I will send unto you from the Father, even the Spirit of truth, which proceedeth from the Father, he shall testify of me:(KJV-1611) Jn 15:26 Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen.(Creole-HT) ======= John 15:27 ============ Jn 15:27 And ye also shall bear witness, because ye have been with me from the beginning.(KJV-1611) Jn 15:27 Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman.(Creole-HT) ======= John 16:1 ============ Jn 16:1 These things have I spoken unto you, that ye should not be offended.(KJV-1611) Jn 16:1 Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive.(Creole-HT) ======= John 16:2 ============ Jn 16:2 They shall put you out of the synagogues: yea, the time cometh, that whosoever killeth you will think that he doeth God service.(KJV-1611) Jn 16:2 Y'a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k'ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y'ap rann Bondye lè yo fè sa.(Creole-HT) ======= John 16:3 ============ Jn 16:3 And these things will they do unto you, because they have not known the Father, nor me.(KJV-1611) Jn 16:3 Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.(Creole-HT) ======= John 16:4 ============ Jn 16:4 But these things have I told you, that when the time shall come, ye may remember that I told you of them. And these things I said not unto you at the beginning, because I was with you.(KJV-1611) Jn 16:4 Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t' di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.(Creole-HT) ======= John 16:5 ============ Jn 16:5 But now I go my way to him that sent me; and none of you asketh me, Whither goest thou?(KJV-1611) Jn 16:5 Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale?(Creole-HT) ======= John 16:6 ============ Jn 16:6 But because I have said these things unto you, sorrow hath filled your heart.(KJV-1611) Jn 16:6 Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase.(Creole-HT) ======= John 16:7 ============ Jn 16:7 Nevertheless I tell you the truth; It is expedient for you that I go away: for if I go not away, the Comforter will not come unto you; but if I depart, I will send him unto you.(KJV-1611) Jn 16:7 Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.(Creole-HT) ======= John 16:8 ============ Jn 16:8 And when he is come, he will reprove the world of sin, and of righteousness, and of judgment:(KJV-1611) Jn 16:8 Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.(Creole-HT) ======= John 16:9 ============ Jn 16:9 Of sin, because they believe not on me;(KJV-1611) Jn 16:9 Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.(Creole-HT) ======= John 16:10 ============ Jn 16:10 Of righteousness, because I go to my Father, and ye see me no more;(KJV-1611) Jn 16:10 Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò.(Creole-HT) ======= John 16:11 ============ Jn 16:11 Of judgment, because the prince of this world is judged.(KJV-1611) Jn 16:11 Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.(Creole-HT) ======= John 16:12 ============ Jn 16:12 I have yet many things to say unto you, but ye cannot bear them now.(KJV-1611) Jn 16:12 Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m' di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a.(Creole-HT) ======= John 16:13 ============ Jn 16:13 Howbeit when he, the Spirit of truth, is come, he will guide you into all truth: for he shall not speak of himself; but whatsoever he shall hear, that shall he speak: and he will shew you things to come.(KJV-1611) Jn 16:13 Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.(Creole-HT) ======= John 16:14 ============ Jn 16:14 He shall glorify me: for he shall receive of mine, and shall shew it unto you.(KJV-1611) Jn 16:14 Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.(Creole-HT) ======= John 16:15 ============ Jn 16:15 All things that the Father hath are mine: therefore said I, that he shall take of mine, and shall shew it unto you.(KJV-1611) Jn 16:15 Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l' fè nou konnen yo.(Creole-HT) ======= John 16:16 ============ Jn 16:16 A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me, because I go to the Father.(KJV-1611) Jn 16:16 Talè konsa nou p'ap wè m'; talè konsa n'a wè m' ankò.(Creole-HT) ======= John 16:17 ============ Jn 16:17 Then said some of his disciples among themselves, What is this that he saith unto us, A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me: and, Because I go to the Father?(KJV-1611) Jn 16:17 Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa n'a wè m' ankò? Sa l' vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a?(Creole-HT) ======= John 16:18 ============ Jn 16:18 They said therefore, What is this that he saith, A little while? we cannot tell what he saith.(KJV-1611) Jn 16:18 Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di.(Creole-HT) ======= John 16:19 ============ Jn 16:19 Now Jesus knew that they were desirous to ask him, and said unto them, Do ye enquire among yourselves of that I said, A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me?(KJV-1611) Jn 16:19 Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an?(Creole-HT) ======= John 16:20 ============ Jn 16:20 Verily, verily, I say unto you, That ye shall weep and lament, but the world shall rejoice: and ye shall be sorrowful, but your sorrow shall be turned into joy.(KJV-1611) Jn 16:20 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.(Creole-HT) ======= John 16:21 ============ Jn 16:21 A woman when she is in travail hath sorrow, because her hour is come: but as soon as she is delivered of the child, she remembereth no more the anguish, for joy that a man is born into the world.(KJV-1611) Jn 16:21 Lè yon fanm gen tranche, kè l' sere, paske lè a rive pou l' soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.(Creole-HT) ======= John 16:22 ============ Jn 16:22 And ye now therefore have sorrow: but I will see you again, and your heart shall rejoice, and your joy no man taketh from you.(KJV-1611) Jn 16:22 Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m' wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.(Creole-HT) ======= John 16:23 ============ Jn 16:23 And in that day ye shall ask me nothing. Verily, verily, I say unto you, Whatsoever ye shall ask the Father in my name, he will give it you.(KJV-1611) Jn 16:23 Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.(Creole-HT) ======= John 16:24 ============ Jn 16:24 Hitherto have ye asked nothing in my name: ask, and ye shall receive, that your joy may be full.(KJV-1611) Jn 16:24 Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.(Creole-HT) ======= John 16:25 ============ Jn 16:25 These things have I spoken unto you in proverbs: but the time cometh, when I shall no more speak unto you in proverbs, but I shall shew you plainly of the Father.(KJV-1611) Jn 16:25 Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m'ap pale nou kareman sou Papa a.(Creole-HT) ======= John 16:26 ============ Jn 16:26 At that day ye shall ask in my name: and I say not unto you, that I will pray the Father for you:(KJV-1611) Jn 16:26 Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou,(Creole-HT) ======= John 16:27 ============ Jn 16:27 For the Father himself loveth you, because ye have loved me, and have believed that I came out from God.(KJV-1611) Jn 16:27 paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a.(Creole-HT) ======= John 16:28 ============ Jn 16:28 I came forth from the Father, and am come into the world: again, I leave the world, and go to the Father.(KJV-1611) Jn 16:28 Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m'ap wete kò m' sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.(Creole-HT) ======= John 16:29 ============ Jn 16:29 His disciples said unto him, Lo, now speakest thou plainly, and speakest no proverb.(KJV-1611) Jn 16:29 Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.(Creole-HT) ======= John 16:30 ============ Jn 16:30 Now are we sure that thou knowest all things, and needest not that any man should ask thee: by this we believe that thou camest forth from God.(KJV-1611) Jn 16:30 Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= John 16:31 ============ Jn 16:31 Jesus answered them, Do ye now believe?(KJV-1611) Jn 16:31 Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a?(Creole-HT) ======= John 16:32 ============ Jn 16:32 Behold, the hour cometh, yea, is now come, that ye shall be scattered, every man to his own, and shall leave me alone: and yet I am not alone, because the Father is with me.(KJV-1611) Jn 16:32 Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m' pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen.(Creole-HT) ======= John 16:33 ============ Jn 16:33 These things I have spoken unto you, that in me ye might have peace. In the world ye shall have tribulation: but be of good cheer; I have overcome the world.(KJV-1611) Jn 16:33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.(Creole-HT) ======= John 17:1 ============ Jn 17:1 These words spake Jesus, and lifted up his eyes to heaven, and said, Father, the hour is come; glorify thy Son, that thy Son also may glorify thee:(KJV-1611) Jn 17:1 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou.(Creole-HT) ======= John 17:2 ============ Jn 17:2 As thou hast given him power over all flesh, that he should give eternal life to as many as thou hast given him.(KJV-1611) Jn 17:2 Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= John 17:3 ============ Jn 17:3 And this is life eternal, that they might know thee the only true God, and Jesus Christ, whom thou hast sent.(KJV-1611) Jn 17:3 Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.(Creole-HT) ======= John 17:4 ============ Jn 17:4 I have glorified thee on the earth: I have finished the work which thou gavest me to do.(KJV-1611) Jn 17:4 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.(Creole-HT) ======= John 17:5 ============ Jn 17:5 And now, O Father, glorify thou me with thine own self with the glory which I had with thee before the world was.(KJV-1611) Jn 17:5 Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.(Creole-HT) ======= John 17:6 ============ Jn 17:6 I have manifested thy name unto the men which thou gavest me out of the world: thine they were, and thou gavest them me; and they have kept thy word.(KJV-1611) Jn 17:6 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou.(Creole-HT) ======= John 17:7 ============ Jn 17:7 Now they have known that all things whatsoever thou hast given me are of thee.(KJV-1611) Jn 17:7 Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti.(Creole-HT) ======= John 17:8 ============ Jn 17:8 For I have given unto them the words which thou gavest me; and they have received them, and have known surely that I came out from thee, and they have believed that thou didst send me.(KJV-1611) Jn 17:8 Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre.(Creole-HT) ======= John 17:9 ============ Jn 17:9 I pray for them: I pray not for the world, but for them which thou hast given me; for they are thine.(KJV-1611) Jn 17:9 M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.(Creole-HT) ======= John 17:10 ============ Jn 17:10 And all mine are thine, and thine are mine; and I am glorified in them.(KJV-1611) Jn 17:10 Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo.(Creole-HT) ======= John 17:11 ============ Jn 17:11 And now I am no more in the world, but these are in the world, and I come to thee. Holy Father, keep through thine own name those whom thou hast given me, that they may be one, as we are.(KJV-1611) Jn 17:11 Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.(Creole-HT) ======= John 17:12 ============ Jn 17:12 While I was with them in the world, I kept them in thy name: those that thou gavest me I have kept, and none of them is lost, but the son of perdition; that the scripture might be fulfilled.(KJV-1611) Jn 17:12 Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.(Creole-HT) ======= John 17:13 ============ Jn 17:13 And now come I to thee; and these things I speak in the world, that they might have my joy fulfilled in themselves.(KJV-1611) Jn 17:13 Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale.(Creole-HT) ======= John 17:14 ============ Jn 17:14 I have given them thy word; and the world hath hated them, because they are not of the world, even as I am not of the world.(KJV-1611) Jn 17:14 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.(Creole-HT) ======= John 17:15 ============ Jn 17:15 I pray not that thou shouldest take them out of the world, but that thou shouldest keep them from the evil.(KJV-1611) Jn 17:15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.(Creole-HT) ======= John 17:16 ============ Jn 17:16 They are not of the world, even as I am not of the world.(KJV-1611) Jn 17:16 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.(Creole-HT) ======= John 17:17 ============ Jn 17:17 Sanctify them through thy truth: thy word is truth.(KJV-1611) Jn 17:17 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.(Creole-HT) ======= John 17:18 ============ Jn 17:18 As thou hast sent me into the world, even so have I also sent them into the world.(KJV-1611) Jn 17:18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan.(Creole-HT) ======= John 17:19 ============ Jn 17:19 And for their sakes I sanctify myself, that they also might be sanctified through the truth.(KJV-1611) Jn 17:19 Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.(Creole-HT) ======= John 17:20 ============ Jn 17:20 Neither pray I for these alone, but for them also which shall believe on me through their word;(KJV-1611) Jn 17:20 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.(Creole-HT) ======= John 17:21 ============ Jn 17:21 That they all may be one; as thou, Father, art in me, and I in thee, that they also may be one in us: that the world may believe that thou hast sent me.(KJV-1611) Jn 17:21 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.(Creole-HT) ======= John 17:22 ============ Jn 17:22 And the glory which thou gavest me I have given them; that they may be one, even as we are one:(KJV-1611) Jn 17:22 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou:(Creole-HT) ======= John 17:23 ============ Jn 17:23 I in them, and thou in me, that they may be made perfect in one; and that the world may know that thou hast sent me, and hast loved them, as thou hast loved me.(KJV-1611) Jn 17:23 mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan.(Creole-HT) ======= John 17:24 ============ Jn 17:24 Father, I will that they also, whom thou hast given me, be with me where I am; that they may behold my glory, which thou hast given me: for thou lovedst me before the foundation of the world.(KJV-1611) Jn 17:24 Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.(Creole-HT) ======= John 17:25 ============ Jn 17:25 O righteous Father, the world hath not known thee: but I have known thee, and these have known that thou hast sent me.(KJV-1611) Jn 17:25 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.(Creole-HT) ======= John 17:26 ============ Jn 17:26 And I have declared unto them thy name, and will declare it: that the love wherewith thou hast loved me may be in them, and I in them.(KJV-1611) Jn 17:26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.(Creole-HT) ======= John 18:1 ============ Jn 18:1 When Jesus had spoken these words, he went forth with his disciples over the brook Cedron, where was a garden, into the which he entered, and his disciples.(KJV-1611) Jn 18:1 Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.(Creole-HT) ======= John 18:2 ============ Jn 18:2 And Judas also, which betrayed him, knew the place: for Jesus ofttimes resorted thither with his disciples.(KJV-1611) Jn 18:2 Jida, nonm ki te gen pou trayi l' la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.(Creole-HT) ======= John 18:3 ============ Jn 18:3 Judas then, having received a band of men and officers from the chief priests and Pharisees, cometh thither with lanterns and torches and weapons.(KJV-1611) Jn 18:3 Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.(Creole-HT) ======= John 18:4 ============ Jn 18:4 Jesus therefore, knowing all things that should come upon him, went forth, and said unto them, Whom seek ye?(KJV-1611) Jn 18:4 Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l' la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n'ap chache?(Creole-HT) ======= John 18:5 ============ Jn 18:5 They answered him, Jesus of Nazareth. Jesus saith unto them, I am he. And Judas also, which betrayed him, stood with them.(KJV-1611) Jn 18:5 Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.(Creole-HT) ======= John 18:6 ============ Jn 18:6 As soon then as he had said unto them, I am he, they went backward, and fell to the ground.(KJV-1611) Jn 18:6 Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.(Creole-HT) ======= John 18:7 ============ Jn 18:7 Then asked he them again, Whom seek ye? And they said, Jesus of Nazareth.(KJV-1611) Jn 18:7 Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n'ap chache? Yo di l': Jezi, nonm Nazarèt la.(Creole-HT) ======= John 18:8 ============ Jn 18:8 Jesus answered, I have told you that I am he: if therefore ye seek me, let these go their way:(KJV-1611) Jn 18:8 Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.(Creole-HT) ======= John 18:9 ============ Jn 18:9 That the saying might be fulfilled, which he spake, Of them which thou gavest me have I lost none.(KJV-1611) Jn 18:9 Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.(Creole-HT) ======= John 18:10 ============ Jn 18:10 Then Simon Peter having a sword drew it, and smote the high priest's servant, and cut off his right ear. The servant's name was Malchus.(KJV-1611) Jn 18:10 Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l', li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)(Creole-HT) ======= John 18:11 ============ Jn 18:11 Then said Jesus unto Peter, Put up thy sword into the sheath: the cup which my Father hath given me, shall I not drink it?(KJV-1611) Jn 18:11 Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m' bwè gode soufrans Papa a ban m' bwè a?(Creole-HT) ======= John 18:12 ============ Jn 18:12 Then the band and the captain and officers of the Jews took Jesus, and bound him,(KJV-1611) Jn 18:12 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.(Creole-HT) ======= John 18:13 ============ Jn 18:13 And led him away to Annas first; for he was father in law to Caiaphas, which was the high priest that same year.(KJV-1611) Jn 18:13 Premye kote yo mennen l', se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a.(Creole-HT) ======= John 18:14 ============ Jn 18:14 Now Caiaphas was he, which gave counsel to the Jews, that it was expedient that one man should die for the people.(KJV-1611) Jn 18:14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la!(Creole-HT) ======= John 18:15 ============ Jn 18:15 And Simon Peter followed Jesus, and so did another disciple: that disciple was known unto the high priest, and went in with Jesus into the palace of the high priest.(KJV-1611) Jn 18:15 Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la.(Creole-HT) ======= John 18:16 ============ Jn 18:16 But Peter stood at the door without. Then went out that other disciple, which was known unto the high priest, and spake unto her that kept the door, and brought in Peter.(KJV-1611) Jn 18:16 Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.(Creole-HT) ======= John 18:17 ============ Jn 18:17 Then saith the damsel that kept the door unto Peter, Art not thou also one of this man's disciples? He saith, I am not.(KJV-1611) Jn 18:17 Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a.(Creole-HT) ======= John 18:18 ============ Jn 18:18 And the servants and officers stood there, who had made a fire of coals; for it was cold: and they warmed themselves: and Peter stood with them, and warmed himself.(KJV-1611) Jn 18:18 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l' tou.(Creole-HT) ======= John 18:19 ============ Jn 18:19 The high priest then asked Jesus of his disciples, and of his doctrine.(KJV-1611) Jn 18:19 Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l' t'ap moutre yo.(Creole-HT) ======= John 18:20 ============ Jn 18:20 Jesus answered him, I spake openly to the world; I ever taught in the synagogue, and in the temple, whither the Jews always resort; and in secret have I said nothing.(KJV-1611) Jn 18:20 Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m' te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.(Creole-HT) ======= John 18:21 ============ Jn 18:21 Why askest thou me? ask them which heard me, what I have said unto them: behold, they know what I said.(KJV-1611) Jn 18:21 Poukisa w'ap keksyonnen m' konsa? Mande moun ki te tande m' yo sa m' te di yo. Yo menm yo konnen sa m' te di.(Creole-HT) ======= John 18:22 ============ Jn 18:22 And when he had thus spoken, one of the officers which stood by struck Jesus with the palm of his hand, saying, Answerest thou the high priest so?(KJV-1611) Jn 18:22 Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la?(Creole-HT) ======= John 18:23 ============ Jn 18:23 Jesus answered him, If I have spoken evil, bear witness of the evil: but if well, why smitest thou me?(KJV-1611) Jn 18:23 Jezi reponn li: Si m' pale mal, moutre moun yo sa m' di ki mal la a. Men, si m' pale byen, poukisa ou frape mwen?(Creole-HT) ======= John 18:24 ============ Jn 18:24 Now Annas had sent him bound unto Caiaphas the high priest.(KJV-1611) Jn 18:24 Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.(Creole-HT) ======= John 18:25 ============ Jn 18:25 And Simon Peter stood and warmed himself. They said therefore unto him, Art not thou also one of his disciples? He denied it, and said, I am not.(KJV-1611) Jn 18:25 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a.(Creole-HT) ======= John 18:26 ============ Jn 18:26 One of the servants of the high priest, being his kinsman whose ear Peter cut off, saith, Did not I see thee in the garden with him?(KJV-1611) Jn 18:26 Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t' wè ou nan jaden an avè li?(Creole-HT) ======= John 18:27 ============ Jn 18:27 Peter then denied again: and immediately the cock crew.(KJV-1611) Jn 18:27 Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.(Creole-HT) ======= John 18:28 ============ Jn 18:28 Then led they Jesus from Caiaphas unto the hall of judgment: and it was early; and they themselves went not into the judgment hall, lest they should be defiled; but that they might eat the passover.(KJV-1611) Jn 18:28 Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.(Creole-HT) ======= John 18:29 ============ Jn 18:29 Pilate then went out unto them, and said, What accusation bring ye against this man?(KJV-1611) Jn 18:29 Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?(Creole-HT) ======= John 18:30 ============ Jn 18:30 They answered and said unto him, If he were not a malefactor, we would not have delivered him up unto thee.(KJV-1611) Jn 18:30 Yo reponn li: Si nonm sa a pa t' yon malfektè, nou pa ta mennen l' ba ou.(Creole-HT) ======= John 18:31 ============ Jn 18:31 Then said Pilate unto them, Take ye him, and judge him according to your law. The Jews therefore said unto him, It is not lawful for us to put any man to death:(KJV-1611) Jn 18:31 Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l' nou menm, pou nou jije l' dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.(Creole-HT) ======= John 18:32 ============ Jn 18:32 That the saying of Jesus might be fulfilled, which he spake, signifying what death he should die.(KJV-1611) Jn 18:32 Se konsa pawòl Jezi te di lè l' t'ap fè konnen jan l' tapral mouri a, tapral rive vre.(Creole-HT) ======= John 18:33 ============ Jn 18:33 Then Pilate entered into the judgment hall again, and called Jesus, and said unto him, Art thou the King of the Jews?(KJV-1611) Jn 18:33 Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?(Creole-HT) ======= John 18:34 ============ Jn 18:34 Jesus answered him, Sayest thou this thing of thyself, or did others tell it thee of me?(KJV-1611) Jn 18:34 Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa?(Creole-HT) ======= John 18:35 ============ Jn 18:35 Pilate answered, Am I a Jew? Thine own nation and the chief priests have delivered thee unto me: what hast thou done?(KJV-1611) Jn 18:35 Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?(Creole-HT) ======= John 18:36 ============ Jn 18:36 Jesus answered, My kingdom is not of this world: if my kingdom were of this world, then would my servants fight, that I should not be delivered to the Jews: but now is my kingdom not from hence.(KJV-1611) Jn 18:36 Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.(Creole-HT) ======= John 18:37 ============ Jn 18:37 Pilate therefore said unto him, Art thou a king then? Jesus answered, Thou sayest that I am a king. To this end was I born, and for this cause came I into the world, that I should bear witness unto the truth. Every one that is of the truth heareth my voice.(KJV-1611) Jn 18:37 Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m' di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.(Creole-HT) ======= John 18:38 ============ Jn 18:38 Pilate saith unto him, What is truth? And when he had said this, he went out again unto the Jews, and saith unto them, I find in him no fault at all.(KJV-1611) Jn 18:38 Pilat reponn li: Laverite? Kisa l' ye? Lè l' fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m' kondannen nonm sa a.(Creole-HT) ======= John 18:39 ============ Jn 18:39 But ye have a custom, that I should release unto you one at the passover: will ye therefore that I release unto you the King of the Jews?(KJV-1611) Jn 18:39 Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m' lage wa jwif yo ban nou?(Creole-HT) ======= John 18:40 ============ Jn 18:40 Then cried they all again, saying, Not this man, but Barabbas. Now Barabbas was a robber.(KJV-1611) Jn 18:40 Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.(Creole-HT) ======= John 19:1 ============ Jn 19:1 Then Pilate therefore took Jesus, and scourged him.(KJV-1611) Jn 19:1 Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.(Creole-HT) ======= John 19:2 ============ Jn 19:2 And the soldiers platted a crown of thorns, and put it on his head, and they put on him a purple robe,(KJV-1611) Jn 19:2 Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.(Creole-HT) ======= John 19:3 ============ Jn 19:3 And said, Hail, King of the Jews! and they smote him with their hands.(KJV-1611) Jn 19:3 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.(Creole-HT) ======= John 19:4 ============ Jn 19:4 Pilate therefore went forth again, and saith unto them, Behold, I bring him forth to you, that ye may know that I find no fault in him.(KJV-1611) Jn 19:4 Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.(Creole-HT) ======= John 19:5 ============ Jn 19:5 Then came Jesus forth, wearing the crown of thorns, and the purple robe. And Pilate saith unto them, Behold the man!(KJV-1611) Jn 19:5 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!(Creole-HT) ======= John 19:6 ============ Jn 19:6 When the chief priests therefore and officers saw him, they cried out, saying, Crucify him, crucify him. Pilate saith unto them, Take ye him, and crucify him: for I find no fault in him.(KJV-1611) Jn 19:6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.(Creole-HT) ======= John 19:7 ============ Jn 19:7 The Jews answered him, We have a law, and by our law he ought to die, because he made himself the Son of God.(KJV-1611) Jn 19:7 Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.(Creole-HT) ======= John 19:8 ============ Jn 19:8 When Pilate therefore heard that saying, he was the more afraid;(KJV-1611) Jn 19:8 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.(Creole-HT) ======= John 19:9 ============ Jn 19:9 And went again into the judgment hall, and saith unto Jesus, Whence art thou? But Jesus gave him no answer.(KJV-1611) Jn 19:9 Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.(Creole-HT) ======= John 19:10 ============ Jn 19:10 Then saith Pilate unto him, Speakest thou not unto me? knowest thou not that I have power to crucify thee, and have power to release thee?(KJV-1611) Jn 19:10 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?(Creole-HT) ======= John 19:11 ============ Jn 19:11 Jesus answered, Thou couldest have no power at all against me, except it were given thee from above: therefore he that delivered me unto thee hath the greater sin.(KJV-1611) Jn 19:11 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.(Creole-HT) ======= John 19:12 ============ Jn 19:12 And from thenceforth Pilate sought to release him: but the Jews cried out, saying, If thou let this man go, thou art not Caesar's friend: whosoever maketh himself a king speaketh against Caesar.(KJV-1611) Jn 19:12 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.(Creole-HT) ======= John 19:13 ============ Jn 19:13 When Pilate therefore heard that saying, he brought Jesus forth, and sat down in the judgment seat in a place that is called the Pavement, but in the Hebrew, Gabbatha.(KJV-1611) Jn 19:13 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).(Creole-HT) ======= John 19:14 ============ Jn 19:14 And it was the preparation of the passover, and about the sixth hour: and he saith unto the Jews, Behold your King!(KJV-1611) Jn 19:14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.(Creole-HT) ======= John 19:15 ============ Jn 19:15 But they cried out, Away with him, away with him, crucify him. Pilate saith unto them, Shall I crucify your King? The chief priests answered, We have no king but Caesar.(KJV-1611) Jn 19:15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.(Creole-HT) ======= John 19:16 ============ Jn 19:16 Then delivered he him therefore unto them to be crucified. And they took Jesus, and led him away.(KJV-1611) Jn 19:16 Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.(Creole-HT) ======= John 19:17 ============ Jn 19:17 And he bearing his cross went forth into a place called the place of a skull, which is called in the Hebrew Golgotha:(KJV-1611) Jn 19:17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).(Creole-HT) ======= John 19:18 ============ Jn 19:18 Where they crucified him, and two other with him, on either side one, and Jesus in the midst.(KJV-1611) Jn 19:18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.(Creole-HT) ======= John 19:19 ============ Jn 19:19 And Pilate wrote a title, and put it on the cross. And the writing was JESUS OF NAZARETH THE KING OF THE JEWS.(KJV-1611) Jn 19:19 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.(Creole-HT) ======= John 19:20 ============ Jn 19:20 This title then read many of the Jews: for the place where Jesus was crucified was nigh to the city: and it was written in Hebrew, and Greek, and Latin.(KJV-1611) Jn 19:20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.(Creole-HT) ======= John 19:21 ============ Jn 19:21 Then said the chief priests of the Jews to Pilate, Write not, The King of the Jews; but that he said, I am King of the Jews.(KJV-1611) Jn 19:21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.(Creole-HT) ======= John 19:22 ============ Jn 19:22 Pilate answered, What I have written I have written.(KJV-1611) Jn 19:22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.(Creole-HT) ======= John 19:23 ============ Jn 19:23 Then the soldiers, when they had crucified Jesus, took his garments, and made four parts, to every soldier a part; and also his coat: now the coat was without seam, woven from the top throughout.(KJV-1611) Jn 19:23 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.(Creole-HT) ======= John 19:24 ============ Jn 19:24 They said therefore among themselves, Let us not rend it, but cast lots for it, whose it shall be: that the scripture might be fulfilled, which saith, They parted my raiment among them, and for my vesture they did cast lots. These things therefore the soldiers did.(KJV-1611) Jn 19:24 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.(Creole-HT) ======= John 19:25 ============ Jn 19:25 Now there stood by the cross of Jesus his mother, and his mother's sister, Mary the wife of Cleophas, and Mary Magdalene.(KJV-1611) Jn 19:25 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.(Creole-HT) ======= John 19:26 ============ Jn 19:26 When Jesus therefore saw his mother, and the disciple standing by, whom he loved, he saith unto his mother, Woman, behold thy son!(KJV-1611) Jn 19:26 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.(Creole-HT) ======= John 19:27 ============ Jn 19:27 Then saith he to the disciple, Behold thy mother! And from that hour that disciple took her unto his own home.(KJV-1611) Jn 19:27 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.(Creole-HT) ======= John 19:28 ============ Jn 19:28 After this, Jesus knowing that all things were now accomplished, that the scripture might be fulfilled, saith, I thirst.(KJV-1611) Jn 19:28 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.(Creole-HT) ======= John 19:29 ============ Jn 19:29 Now there was set a vessel full of vinegar: and they filled a spunge with vinegar, and put it upon hyssop, and put it to his mouth.(KJV-1611) Jn 19:29 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.(Creole-HT) ======= John 19:30 ============ Jn 19:30 When Jesus therefore had received the vinegar, he said, It is finished: and he bowed his head, and gave up the ghost.(KJV-1611) Jn 19:30 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.(Creole-HT) ======= John 19:31 ============ Jn 19:31 The Jews therefore, because it was the preparation, that the bodies should not remain upon the cross on the sabbath day, (for that sabbath day was an high day,) besought Pilate that their legs might be broken, and that they might be taken away.(KJV-1611) Jn 19:31 Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.(Creole-HT) ======= John 19:32 ============ Jn 19:32 Then came the soldiers, and brake the legs of the first, and of the other which was crucified with him.(KJV-1611) Jn 19:32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.(Creole-HT) ======= John 19:33 ============ Jn 19:33 But when they came to Jesus, and saw that he was dead already, they brake not his legs:(KJV-1611) Jn 19:33 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.(Creole-HT) ======= John 19:34 ============ Jn 19:34 But one of the soldiers with a spear pierced his side, and forthwith came there out blood and water.(KJV-1611) Jn 19:34 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.(Creole-HT) ======= John 19:35 ============ Jn 19:35 And he that saw it bare record, and his record is true: and he knoweth that he saith true, that ye might believe.(KJV-1611) Jn 19:35 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.(Creole-HT) ======= John 19:36 ============ Jn 19:36 For these things were done, that the scripture should be fulfilled, A bone of him shall not be broken.(KJV-1611) Jn 19:36 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.(Creole-HT) ======= John 19:37 ============ Jn 19:37 And again another scripture saith, They shall look on him whom they pierced.(KJV-1611) Jn 19:37 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.(Creole-HT) ======= John 19:38 ============ Jn 19:38 And after this Joseph of Arimathaea, being a disciple of Jesus, but secretly for fear of the Jews, besought Pilate that he might take away the body of Jesus: and Pilate gave him leave. He came therefore, and took the body of Jesus.(KJV-1611) Jn 19:38 Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.(Creole-HT) ======= John 19:39 ============ Jn 19:39 And there came also Nicodemus, which at the first came to Jesus by night, and brought a mixture of myrrh and aloes, about an hundred pound weight.(KJV-1611) Jn 19:39 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.(Creole-HT) ======= John 19:40 ============ Jn 19:40 Then took they the body of Jesus, and wound it in linen clothes with the spices, as the manner of the Jews is to bury.(KJV-1611) Jn 19:40 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.(Creole-HT) ======= John 19:41 ============ Jn 19:41 Now in the place where he was crucified there was a garden; and in the garden a new sepulchre, wherein was never man yet laid.(KJV-1611) Jn 19:41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.(Creole-HT) ======= John 19:42 ============ Jn 19:42 There laid they Jesus therefore because of the Jews' preparation day; for the sepulchre was nigh at hand.(KJV-1611) Jn 19:42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.(Creole-HT) ======= John 20:1 ============ Jn 20:1 The first day of the week cometh Mary Magdalene early, when it was yet dark, unto the sepulchre, and seeth the stone taken away from the sepulchre.(KJV-1611) Jn 20:1 Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.(Creole-HT) ======= John 20:2 ============ Jn 20:2 Then she runneth, and cometh to Simon Peter, and to the other disciple, whom Jesus loved, and saith unto them, They have taken away the LORD out of the sepulchre, and we know not where they have laid him.(KJV-1611) Jn 20:2 Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.(Creole-HT) ======= John 20:3 ============ Jn 20:3 Peter therefore went forth, and that other disciple, and came to the sepulchre.(KJV-1611) Jn 20:3 Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y' al nan kavo a.(Creole-HT) ======= John 20:4 ============ Jn 20:4 So they ran both together: and the other disciple did outrun Peter, and came first to the sepulchre.(KJV-1611) Jn 20:4 Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la t'ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li.(Creole-HT) ======= John 20:5 ============ Jn 20:5 And he stooping down, and looking in, saw the linen clothes lying; yet went he not in.(KJV-1611) Jn 20:5 Li bese pou l' gade anndan an. Li wè bann twal fin yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre.(Creole-HT) ======= John 20:6 ============ Jn 20:6 Then cometh Simon Peter following him, and went into the sepulchre, and seeth the linen clothes lie,(KJV-1611) Jn 20:6 Lè Simon Pyè rive dèyè l', li antre nan kavo a. Li wè bann twal fin yo anpile atè a(Creole-HT) ======= John 20:7 ============ Jn 20:7 And the napkin, that was about his head, not lying with the linen clothes, but wrapped together in a place by itself.(KJV-1611) Jn 20:7 ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t' menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lòt kote.(Creole-HT) ======= John 20:8 ============ Jn 20:8 Then went in also that other disciple, which came first to the sepulchre, and he saw, and believed.(KJV-1611) Jn 20:8 Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè.(Creole-HT) ======= John 20:9 ============ Jn 20:9 For as yet they knew not the scripture, that he must rise again from the dead.(KJV-1611) Jn 20:9 (Disip yo pa t' ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mò yo.)(Creole-HT) ======= John 20:10 ============ Jn 20:10 Then the disciples went away again unto their own home.(KJV-1611) Jn 20:10 Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= John 20:11 ============ Jn 20:11 But Mary stood without at the sepulchre weeping: and as she wept, she stooped down, and looked into the sepulchre,(KJV-1611) Jn 20:11 Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l' gade anndan kavo a.(Creole-HT) ======= John 20:12 ============ Jn 20:12 And seeth two angels in white sitting, the one at the head, and the other at the feet, where the body of Jesus had lain.(KJV-1611) Jn 20:12 Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo.(Creole-HT) ======= John 20:13 ============ Jn 20:13 And they say unto her, Woman, why weepest thou? She saith unto them, Because they have taken away my LORD, and I know not where they have laid him.(KJV-1611) Jn 20:13 Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li.(Creole-HT) ======= John 20:14 ============ Jn 20:14 And when she had thus said, she turned herself back, and saw Jesus standing, and knew not that it was Jesus.(KJV-1611) Jn 20:14 Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi.(Creole-HT) ======= John 20:15 ============ Jn 20:15 Jesus saith unto her, Woman, why weepest thou? whom seekest thou? She, supposing him to be the gardener, saith unto him, Sir, if thou have borne him hence, tell me where thou hast laid him, and I will take him away.(KJV-1611) Jn 20:15 Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bò ou mete li. M'a v al pran li.(Creole-HT) ======= John 20:16 ============ Jn 20:16 Jesus saith unto her, Mary. She turned herself, and saith unto him, Rabboni; which is to say, Master.(KJV-1611) Jn 20:16 Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).(Creole-HT) ======= John 20:17 ============ Jn 20:17 Jesus saith unto her, Touch me not; for I am not yet ascended to my Father: but go to my brethren, and say unto them, I ascend unto my Father, and your Father; and to my God, and your God.(KJV-1611) Jn 20:17 Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.(Creole-HT) ======= John 20:18 ============ Jn 20:18 Mary Magdalene came and told the disciples that she had seen the LORD, and that he had spoken these things unto her.(KJV-1611) Jn 20:18 Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.(Creole-HT) ======= John 20:19 ============ Jn 20:19 Then the same day at evening, being the first day of the week, when the doors were shut where the disciples were assembled for fear of the Jews, came Jesus and stood in the midst, and saith unto them, Peace be unto you.(KJV-1611) Jn 20:19 Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!(Creole-HT) ======= John 20:20 ============ Jn 20:20 And when he had so said, he shewed unto them his hands and his side. Then were the disciples glad, when they saw the LORD.(KJV-1611) Jn 20:20 Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bò kòt li. Disip yo pa t' manke kontan lè yo wè Seyè a.(Creole-HT) ======= John 20:21 ============ Jn 20:21 Then said Jesus to them again, Peace be unto you: as my Father hath sent me, even so send I you.(KJV-1611) Jn 20:21 Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou.(Creole-HT) ======= John 20:22 ============ Jn 20:22 And when he had said this, he breathed on them, and saith unto them, Receive ye the Holy Ghost:(KJV-1611) Jn 20:22 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri.(Creole-HT) ======= John 20:23 ============ Jn 20:23 Whose soever sins ye remit, they are remitted unto them; and whose soever sins ye retain, they are retained.(KJV-1611) Jn 20:23 Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon.(Creole-HT) ======= John 20:24 ============ Jn 20:24 But Thomas, one of the twelve, called Didymus, was not with them when Jesus came.(KJV-1611) Jn 20:24 Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t' la avèk yo lè Jezi te vini an.(Creole-HT) ======= John 20:25 ============ Jn 20:25 The other disciples therefore said unto him, We have seen the LORD. But he said unto them, Except I shall see in his hands the print of the nails, and put my finger into the print of the nails, and thrust my hand into his side, I will not believe.(KJV-1611) Jn 20:25 Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wè mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bò kòt li, mwen p'ap kwè.(Creole-HT) ======= John 20:26 ============ Jn 20:26 And after eight days again his disciples were within, and Thomas with them: then came Jesus, the doors being shut, and stood in the midst, and said, Peace be unto you.(KJV-1611) Jn 20:26 Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.(Creole-HT) ======= John 20:27 ============ Jn 20:27 Then saith he to Thomas, Reach hither thy finger, and behold my hands; and reach hither thy hand, and thrust it into my side: and be not faithless, but believing.(KJV-1611) Jn 20:27 Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.(Creole-HT) ======= John 20:28 ============ Jn 20:28 And Thomas answered and said unto him, My LORD and my God.(KJV-1611) Jn 20:28 Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!(Creole-HT) ======= John 20:29 ============ Jn 20:29 Jesus saith unto him, Thomas, because thou hast seen me, thou hast believed: blessed are they that have not seen, and yet have believed.(KJV-1611) Jn 20:29 Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m' kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen!(Creole-HT) ======= John 20:30 ============ Jn 20:30 And many other signs truly did Jesus in the presence of his disciples, which are not written in this book:(KJV-1611) Jn 20:30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.(Creole-HT) ======= John 20:31 ============ Jn 20:31 But these are written, that ye might believe that Jesus is the Christ, the Son of God; and that believing ye might have life through his name.(KJV-1611) Jn 20:31 Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.(Creole-HT) ======= John 21:1 ============ Jn 21:1 After these things Jesus shewed himself again to the disciples at the sea of Tiberias; and on this wise shewed he himself.(KJV-1611) Jn 21:1 Kèk jou apre sa, Jezi fè disip yo wè l' ankò, bò lanmè Tiberyad la. Men ki jan sa te pase:(Creole-HT) ======= John 21:2 ============ Jn 21:2 There were together Simon Peter, and Thomas called Didymus, and Nathanael of Cana in Galilee, and the sons of Zebedee, and two other of his disciples.(KJV-1611) Jn 21:2 Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo.(Creole-HT) ======= John 21:3 ============ Jn 21:3 Simon Peter saith unto them, I go a fishing. They say unto him, We also go with thee. They went forth, and entered into a ship immediately; and that night they caught nothing.(KJV-1611) Jn 21:3 Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen.(Creole-HT) ======= John 21:4 ============ Jn 21:4 But when the morning was now come, Jesus stood on the shore: but the disciples knew not that it was Jesus.(KJV-1611) Jn 21:4 Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm.(Creole-HT) ======= John 21:5 ============ Jn 21:5 Then Jesus saith unto them, Children, have ye any meat? They answered him, No.(KJV-1611) Jn 21:5 Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen.(Creole-HT) ======= John 21:6 ============ Jn 21:6 And he said unto them, Cast the net on the right side of the ship, and ye shall find. They cast therefore, and now they were not able to draw it for the multitude of fishes.(KJV-1611) Jn 21:6 Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason.(Creole-HT) ======= John 21:7 ============ Jn 21:7 Therefore that disciple whom Jesus loved saith unto Peter, It is the Lord. Now when Simon Peter heard that it was the Lord, he girt his fisher's coat unto him, (for he was naked,) and did cast himself into the sea.(KJV-1611) Jn 21:7 Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.(Creole-HT) ======= John 21:8 ============ Jn 21:8 And the other disciples came in a little ship; (for they were not far from land, but as it were two hundred cubits,) dragging the net with fishes.(KJV-1611) Jn 21:8 Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san mèt konsa.(Creole-HT) ======= John 21:9 ============ Jn 21:9 As soon then as they were come to land, they saw a fire of coals there, and fish laid thereon, and bread.(KJV-1611) Jn 21:9 Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou.(Creole-HT) ======= John 21:10 ============ Jn 21:10 Jesus saith unto them, Bring of the fish which ye have now caught.(KJV-1611) Jn 21:10 Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo.(Creole-HT) ======= John 21:11 ============ Jn 21:11 Simon Peter went up, and drew the net to land full of great fishes, an hundred and fifty and three: and for all there were so many, yet was not the net broken.(KJV-1611) Jn 21:11 Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.(Creole-HT) ======= John 21:12 ============ Jn 21:12 Jesus saith unto them, Come and dine. And none of the disciples durst ask him, Who art thou? knowing that it was the Lord.(KJV-1611) Jn 21:12 Jezi di yo: vin manje. Yo yonn nan disip yo pa t' gen kouraj mande li: Ki moun ou ye? Yo tout te konnen se te Seyè a.(Creole-HT) ======= John 21:13 ============ Jn 21:13 Jesus then cometh, and taketh bread, and giveth them, and fish likewise.(KJV-1611) Jn 21:13 Jezi pwoche bò kote yo, li pran pen, li ba yo. Li ba yo pwason tou.(Creole-HT) ======= John 21:14 ============ Jn 21:14 This is now the third time that Jesus shewed himself to his disciples, after that he was risen from the dead.(KJV-1611) Jn 21:14 Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l' depi l' te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= John 21:15 ============ Jn 21:15 So when they had dined, Jesus saith to Simon Peter, Simon, son of Jonas, lovest thou me more than these? He saith unto him, Yea, Lord; thou knowest that I love thee. He saith unto him, Feed my lambs.(KJV-1611) Jn 21:15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.(Creole-HT) ======= John 21:16 ============ Jn 21:16 He saith to him again the second time, Simon, son of Jonas, lovest thou me? He saith unto him, Yea, Lord; thou knowest that I love thee. He saith unto him, Feed my sheep.(KJV-1611) Jn 21:16 Li mande l' yon dezyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen mouton m' yo.(Creole-HT) ======= John 21:17 ============ Jn 21:17 He saith unto him the third time, Simon, son of Jonas, lovest thou me? Peter was grieved because he said unto him the third time, Lovest thou me? And he said unto him, Lord, thou knowest all things; thou knowest that I love thee. Jesus saith unto him, Feed my sheep.(KJV-1611) Jn 21:17 Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.(Creole-HT) ======= John 21:18 ============ Jn 21:18 Verily, verily, I say unto thee, When thou wast young, thou girdest thyself, and walkedst whither thou wouldest: but when thou shalt be old, thou shalt stretch forth thy hands, and another shall gird thee, and carry thee whither thou wouldest not.(KJV-1611) Jn 21:18 Sa m'ap di ou la a, se vre wi. Lè ou te jenn ti gason, ou te konn mare sentiwon ou pou kont ou. Lè sa a, ou te konn ale kote ou te vle. Men, lè wa fin granmoun, wa lonje de bra ou konsa, se moun ki va mare sentiwon ou pou ou. Lè sa a, y'a mennen ou kote ou pa ta vle ale.(Creole-HT) ======= John 21:19 ============ Jn 21:19 This spake he, signifying by what death he should glorify God. And when he had spoken this, he saith unto him, Follow me.(KJV-1611) Jn 21:19 (Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.(Creole-HT) ======= John 21:20 ============ Jn 21:20 Then Peter, turning about, seeth the disciple whom Jesus loved following; which also leaned on his breast at supper, and said, Lord, which is he that betrayeth thee?(KJV-1611) Jn 21:20 Pyè vire tèt li, li wè disip Jezi te renmen an ki t'ap vin dèyè yo. Se disip sa a ki te panche bò zòrèy Jezi, antan yo t'ap manje a, ki te mande li: Seyè, ki moun ki pral trayi ou la?(Creole-HT) ======= John 21:21 ============ Jn 21:21 Peter seeing him saith to Jesus, Lord, and what shall this man do?(KJV-1611) Jn 21:21 Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li?(Creole-HT) ======= John 21:22 ============ Jn 21:22 Jesus saith unto him, If I will that he tarry till I come, what is that to thee? follow thou me.(KJV-1611) Jn 21:22 Jezi reponn li: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou? Ou menm, swiv mwen.(Creole-HT) ======= John 21:23 ============ Jn 21:23 Then went this saying abroad among the brethren, that that disciple should not die: yet Jesus said not unto him, He shall not die; but, If I will that he tarry till I come, what is that to thee?(KJV-1611) Jn 21:23 Se konsa, nouvèl la gaye nan mitan frè yo: disip sa a p'ap janm mouri. Men, Jezi pa t' di Pyè: Li p'ap janm mouri. Li te di l' konsa: Si m' vle li rete vivan jouk lè m' gen pou m' tounen an, sa sa gade ou?(Creole-HT) ======= John 21:24 ============ Jn 21:24 This is the disciple which testifieth of these things, and wrote these things: and we know that his testimony is true.(KJV-1611) Jn 21:24 Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.(Creole-HT) ======= John 21:25 ============ Jn 21:25 And there are also many other things which Jesus did, the which, if they should be written every one, I suppose that even the world itself could not contain the books that should be written. Amen.(KJV-1611) Jn 21:25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yon moun ta pran ekri liv pou rakonte yo tout, yonn apre lòt, mwen pa kwè ta gen plas sou latè pou mete liv sa yo.(Creole-HT) ======= Acts 1:1 ============ Act 1:1 The former treatise have I made, O Theophilus, of all that Jesus began both to do and teach,(KJV-1611) Act 1:1 Teofil monchè: Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te moutre pèp la, depi nan konmans man,(Creole-HT) ======= Acts 1:2 ============ Act 1:2 Until the day in which he was taken up, after that he through the Holy Ghost had given commandments unto the apostles whom he had chosen:(KJV-1611) Act 1:2 jouk jou li moute nan syèl la. Anvan l' te moute a, li te pale ak moun li te chwazi pou sèvi apòt. Avèk pouvwa Sentespri sou li, li ba yo lòd sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= Acts 1:3 ============ Act 1:3 To whom also he shewed himself alive after his passion by many infallible proofs, being seen of them forty days, and speaking of the things pertaining to the kingdom of God:(KJV-1611) Act 1:3 Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l', li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.(Creole-HT) ======= Acts 1:4 ============ Act 1:4 And, being assembled together with them, commanded them that they should not depart from Jerusalem, but wait for the promise of the Father, which, saith he, ye have heard of me.(KJV-1611) Act 1:4 Yon jou yo t'ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t'ap pale nou an.(Creole-HT) ======= Acts 1:5 ============ Act 1:5 For John truly baptized with water; but ye shall be baptized with the Holy Ghost not many days hence.(KJV-1611) Act 1:5 Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.(Creole-HT) ======= Acts 1:6 ============ Act 1:6 When they therefore were come together, they asked of him, saying, Lord, wilt thou at this time restore again the kingdom to Israel?(KJV-1611) Act 1:6 Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò?(Creole-HT) ======= Acts 1:7 ============ Act 1:7 And he said unto them, It is not for you to know the times or the seasons, which the Father hath put in his own power.(KJV-1611) Act 1:7 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.(Creole-HT) ======= Acts 1:8 ============ Act 1:8 But ye shall receive power, after that the Holy Ghost is come upon you: and ye shall be witnesses unto me both in Jerusalem, and in all Judaea, and in Samaria, and unto the uttermost part of the earth.(KJV-1611) Act 1:8 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.(Creole-HT) ======= Acts 1:9 ============ Act 1:9 And when he had spoken these things, while they beheld, he was taken up; and a cloud received him out of their sight.(KJV-1611) Act 1:9 Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo.(Creole-HT) ======= Acts 1:10 ============ Act 1:10 And while they looked stedfastly toward heaven as he went up, behold, two men stood by them in white apparel;(KJV-1611) Act 1:10 Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t'ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo.(Creole-HT) ======= Acts 1:11 ============ Act 1:11 Which also said, Ye men of Galilee, why stand ye gazing up into heaven? this same Jesus, which is taken up from you into heaven, shall so come in like manner as ye have seen him go into heaven.(KJV-1611) Act 1:11 Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l' tounen menm jan nou wè l' moute nan syèl la.(Creole-HT) ======= Acts 1:12 ============ Act 1:12 Then returned they unto Jerusalem from the mount called Olivet, which is from Jerusalem a sabbath day's journey.(KJV-1611) Act 1:12 Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa.(Creole-HT) ======= Acts 1:13 ============ Act 1:13 And when they were come in, they went up into an upper room, where abode both Peter, and James, and John, and Andrew, Philip, and Thomas, Bartholomew, and Matthew, James the son of Alphaeus, and Simon Zelotes, and Judas the brother of James.(KJV-1611) Act 1:13 Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la.(Creole-HT) ======= Acts 1:14 ============ Act 1:14 These all continued with one accord in prayer and supplication, with the women, and Mary the mother of Jesus, and with his brethren.(KJV-1611) Act 1:14 Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.(Creole-HT) ======= Acts 1:15 ============ Act 1:15 And in those days Peter stood up in the midst of the disciples, and said, (the number of names together were about an hundred and twenty,)(KJV-1611) Act 1:15 Yon jou tout frè yo te sanble, te gen sanven moun antou konsa. Piè kanpe nan mitan yo, li di:(Creole-HT) ======= Acts 1:16 ============ Act 1:16 Men and brethren, this scripture must needs have been fulfilled, which the Holy Ghost by the mouth of David spake before concerning Judas, which was guide to them that took Jesus.(KJV-1611) Act 1:16 Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.(Creole-HT) ======= Acts 1:17 ============ Act 1:17 For he was numbered with us, and had obtained part of this ministry.(KJV-1611) Act 1:17 Jida te yonn nan nou, li te gen sèvis pa l' nan travay nou an.(Creole-HT) ======= Acts 1:18 ============ Act 1:18 Now this man purchased a field with the reward of iniquity; and falling headlong, he burst asunder in the midst, and all his bowels gushed out.(KJV-1611) Act 1:18 (Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò.(Creole-HT) ======= Acts 1:19 ============ Act 1:19 And it was known unto all the dwellers at Jerusalem; insomuch as that field is called in their proper tongue, Aceldama, that is to say, The field of blood.(KJV-1611) Act 1:19 Se bagay tout moun nan Jerizalèm konnen byen. Se pou sa nan lang yo, yo te rele tè a: Akeldama, ki vle di: jaden san an.)(Creole-HT) ======= Acts 1:20 ============ Act 1:20 For it is written in the book of Psalms, Let his habitation be desolate, and let no man dwell therein: and his bishoprick let another take.(KJV-1611) Act 1:20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo: Se pou kay li rete san moun. Se pou pesonn pa rete ladan li. Pi lwen ankò nou jwenn: Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay la.(Creole-HT) ======= Acts 1:21 ============ Act 1:21 Wherefore of these men which have companied with us all the time that the Lord Jesus went in and out among us,(KJV-1611) Act 1:21 Se poutèt sa, nou bezwen yon lòt moun ansanm ak nou pou sèvi temwen Seyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Moun sa a, fòk se yonn nan moun ki te toujou la avèk nou tout tan Seyè Jezi t'ap mache avèk nou nan tout peyi a,(Creole-HT) ======= Acts 1:22 ============ Act 1:22 Beginning from the baptism of John, unto that same day that he was taken up from us, must one be ordained to be a witness with us of his resurrection.(KJV-1611) Act 1:22 depi lè Jan te batize l' la jouk jou li te kite nou an pou l' moute nan syèl la.(Creole-HT) ======= Acts 1:23 ============ Act 1:23 And they appointed two, Joseph called Barsabas, who was surnamed Justus, and Matthias.(KJV-1611) Act 1:23 Yo bay non de moun: Jozèf, yo te rele Basabas ki te gen yon ti non Jistis, epi Matyas.(Creole-HT) ======= Acts 1:24 ============ Act 1:24 And they prayed, and said, Thou, Lord, which knowest the hearts of all men, shew whether of these two thou hast chosen,(KJV-1611) Act 1:24 Apre sa, yo lapriyè konsa: Bondye, ou menm ki konnen kè tout moun, moutre nou kilès ou chwazi nan de moun sa yo,(Creole-HT) ======= Acts 1:25 ============ Act 1:25 That he may take part of this ministry and apostleship, from which Judas by transgression fell, that he might go to his own place.(KJV-1611) Act 1:25 pou sèvi apòt nan plas Jida te kite pou li al kote ki te pou li a.(Creole-HT) ======= Acts 1:26 ============ Act 1:26 And they gave forth their lots; and the lot fell upon Matthias; and he was numbered with the eleven apostles.(KJV-1611) Act 1:26 Apre sa, yo tire osò: se Matyas ki soti. Se konsa yo mete l' ansanm ak onz apòt yo.(Creole-HT) ======= Acts 2:1 ============ Act 2:1 And when the day of Pentecost was fully come, they were all with one accord in one place.(KJV-1611) Act 2:1 Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a.(Creole-HT) ======= Acts 2:2 ============ Act 2:2 And suddenly there came a sound from heaven as of a rushing mighty wind, and it filled all the house where they were sitting.(KJV-1611) Act 2:2 Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a.(Creole-HT) ======= Acts 2:3 ============ Act 2:3 And there appeared unto them cloven tongues like as of fire, and it sat upon each of them.(KJV-1611) Act 2:3 Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak.(Creole-HT) ======= Acts 2:4 ============ Act 2:4 And they were all filled with the Holy Ghost, and began to speak with other tongues, as the Spirit gave them utterance.(KJV-1611) Act 2:4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.(Creole-HT) ======= Acts 2:5 ============ Act 2:5 And there were dwelling at Jerusalem Jews, devout men, out of every nation under heaven.(KJV-1611) Act 2:5 Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè.(Creole-HT) ======= Acts 2:6 ============ Act 2:6 Now when this was noised abroad, the multitude came together, and were confounded, because that every man heard them speak in his own language.(KJV-1611) Act 2:6 Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.(Creole-HT) ======= Acts 2:7 ============ Act 2:7 And they were all amazed and marvelled, saying one to another, Behold, are not all these which speak Galilaeans?(KJV-1611) Act 2:7 Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?(Creole-HT) ======= Acts 2:8 ============ Act 2:8 And how hear we every man in our own tongue, wherein we were born?(KJV-1611) Act 2:8 Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou?(Creole-HT) ======= Acts 2:9 ============ Act 2:9 Parthians, and Medes, and Elamites, and the dwellers in Mesopotamia, and in Judaea, and Cappadocia, in Pontus, and Asia,(KJV-1611) Act 2:9 Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi.(Creole-HT) ======= Acts 2:10 ============ Act 2:10 Phrygia, and Pamphylia, in Egypt, and in the parts of Libya about Cyrene, and strangers of Rome, Jews and proselytes,(KJV-1611) Act 2:10 Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Gen en ki soti lavil Wòm.(Creole-HT) ======= Acts 2:11 ============ Act 2:11 Cretes and Arabians, we do hear them speak in our tongues the wonderful works of God.(KJV-1611) Act 2:11 Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki soti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè?(Creole-HT) ======= Acts 2:12 ============ Act 2:12 And they were all amazed, and were in doubt, saying one to another, What meaneth this?(KJV-1611) Act 2:12 Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di?(Creole-HT) ======= Acts 2:13 ============ Act 2:13 Others mocking said, These men are full of new wine.(KJV-1611) Act 2:13 Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou.(Creole-HT) ======= Acts 2:14 ============ Act 2:14 But Peter, standing up with the eleven, lifted up his voice, and said unto them, Ye men of Judaea, and all ye that dwell at Jerusalem, be this known unto you, and hearken to my words:(KJV-1611) Act 2:14 Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a.(Creole-HT) ======= Acts 2:15 ============ Act 2:15 For these are not drunken, as ye suppose, seeing it is but the third hour of the day.(KJV-1611) Act 2:15 Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman.(Creole-HT) ======= Acts 2:16 ============ Act 2:16 But this is that which was spoken by the prophet Joel;(KJV-1611) Act 2:16 Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a:(Creole-HT) ======= Acts 2:17 ============ Act 2:17 And it shall come to pass in the last days, saith God, I will pour out of my Spirit upon all flesh: and your sons and your daughters shall prophesy, and your young men shall see visions, and your old men shall dream dreams:(KJV-1611) Act 2:17 Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.(Creole-HT) ======= Acts 2:18 ============ Act 2:18 And on my servants and on my handmaidens I will pour out in those days of my Spirit; and they shall prophesy:(KJV-1611) Act 2:18 Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 2:19 ============ Act 2:19 And I will shew wonders in heaven above, and signs in the earth beneath; blood, and fire, and vapour of smoke:(KJV-1611) Act 2:19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.(Creole-HT) ======= Acts 2:20 ============ Act 2:20 The sun shall be turned into darkness, and the moon into blood, before the great and notable day of the Lord come:(KJV-1611) Act 2:20 Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!(Creole-HT) ======= Acts 2:21 ============ Act 2:21 And it shall come to pass, that whosoever shall call on the name of the Lord shall be saved.(KJV-1611) Act 2:21 Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre.(Creole-HT) ======= Acts 2:22 ============ Act 2:22 Ye men of Israel, hear these words; Jesus of Nazareth, a man approved of God among you by miracles and wonders and signs, which God did by him in the midst of you, as ye yourselves also know:(KJV-1611) Act 2:22 Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.(Creole-HT) ======= Acts 2:23 ============ Act 2:23 Him, being delivered by the determinate counsel and foreknowledge of God, ye have taken, and by wicked hands have crucified and slain:(KJV-1611) Act 2:23 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa.(Creole-HT) ======= Acts 2:24 ============ Act 2:24 Whom God hath raised up, having loosed the pains of death: because it was not possible that he should be holden of it.(KJV-1611) Act 2:24 Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.(Creole-HT) ======= Acts 2:25 ============ Act 2:25 For David speaketh concerning him, I foresaw the Lord always before my face, for he is on my right hand, that I should not be moved:(KJV-1611) Act 2:25 Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.(Creole-HT) ======= Acts 2:26 ============ Act 2:26 Therefore did my heart rejoice, and my tongue was glad; moreover also my flesh shall rest in hope:(KJV-1611) Act 2:26 Se poutèt sa kè m' kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m'ap poze l' avèk espwa nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 2:27 ============ Act 2:27 Because thou wilt not leave my soul in hell, neither wilt thou suffer thine Holy One to see corruption.(KJV-1611) Act 2:27 Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.(Creole-HT) ======= Acts 2:28 ============ Act 2:28 Thou hast made known to me the ways of life; thou shalt make me full of joy with thy countenance.(KJV-1611) Act 2:28 Ou fè m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen.(Creole-HT) ======= Acts 2:29 ============ Act 2:29 Men and brethren, let me freely speak unto you of the patriarch David, that he is both dead and buried, and his sepulchre is with us unto this day.(KJV-1611) Act 2:29 Frè m' yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Acts 2:30 ============ Act 2:30 Therefore being a prophet, and knowing that God had sworn with an oath to him, that of the fruit of his loins, according to the flesh, he would raise up Christ to sit on his throne;(KJV-1611) Act 2:30 Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li.(Creole-HT) ======= Acts 2:31 ============ Act 2:31 He seeing this before spake of the resurrection of Christ, that his soul was not left in hell, neither his flesh did see corruption.(KJV-1611) Act 2:31 David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti.(Creole-HT) ======= Acts 2:32 ============ Act 2:32 This Jesus hath God raised up, whereof we all are witnesses.(KJV-1611) Act 2:32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.(Creole-HT) ======= Acts 2:33 ============ Act 2:33 Therefore being by the right hand of God exalted, and having received of the Father the promise of the Holy Ghost, he hath shed forth this, which ye now see and hear.(KJV-1611) Act 2:33 Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.(Creole-HT) ======= Acts 2:34 ============ Act 2:34 For David is not ascended into the heavens: but he saith himself, The Lord said unto my Lord, Sit thou on my right hand,(KJV-1611) Act 2:34 Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen,(Creole-HT) ======= Acts 2:35 ============ Act 2:35 Until I make thy foes thy footstool.(KJV-1611) Act 2:35 jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.(Creole-HT) ======= Acts 2:36 ============ Act 2:36 Therefore let all the house of Israel know assuredly, that God hath made the same Jesus, whom ye have crucified, both Lord and Christ.(KJV-1611) Act 2:36 Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la.(Creole-HT) ======= Acts 2:37 ============ Act 2:37 Now when they heard this, they were pricked in their heart, and said unto Peter and to the rest of the apostles, Men and brethren, what shall we do?(KJV-1611) Act 2:37 Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?(Creole-HT) ======= Acts 2:38 ============ Act 2:38 Then Peter said unto them, Repent, and be baptized every one of you in the name of Jesus Christ for the remission of sins, and ye shall receive the gift of the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 2:38 Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 2:39 ============ Act 2:39 For the promise is unto you, and to your children, and to all that are afar off, even as many as the LORD our God shall call.(KJV-1611) Act 2:39 Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Acts 2:40 ============ Act 2:40 And with many other words did he testify and exhort, saying, Save yourselves from this untoward generation.(KJV-1611) Act 2:40 Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo.(Creole-HT) ======= Acts 2:41 ============ Act 2:41 Then they that gladly received his word were baptized: and the same day there were added unto them about three thousand souls.(KJV-1611) Act 2:41 Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.(Creole-HT) ======= Acts 2:42 ============ Act 2:42 And they continued stedfastly in the apostles' doctrine and fellowship, and in breaking of bread, and in prayers.(KJV-1611) Act 2:42 Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 2:43 ============ Act 2:43 And fear came upon every soul: and many wonders and signs were done by the apostles.(KJV-1611) Act 2:43 Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.(Creole-HT) ======= Acts 2:44 ============ Act 2:44 And all that believed were together, and had all things common;(KJV-1611) Act 2:44 Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.(Creole-HT) ======= Acts 2:45 ============ Act 2:45 And sold their possessions and goods, and parted them to all men, as every man had need.(KJV-1611) Act 2:45 Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.(Creole-HT) ======= Acts 2:46 ============ Act 2:46 And they, continuing daily with one accord in the temple, and breaking bread from house to house, did eat their meat with gladness and singleness of heart,(KJV-1611) Act 2:46 Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.(Creole-HT) ======= Acts 2:47 ============ Act 2:47 Praising God, and having favour with all the people. And the Lord added to the church daily such as should be saved.(KJV-1611) Act 2:47 Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.(Creole-HT) ======= Acts 3:1 ============ Act 3:1 Now Peter and John went up together into the temple at the hour of prayer, being the ninth hour.(KJV-1611) Act 3:1 Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 3:2 ============ Act 3:2 And a certain man lame from his mother's womb was carried, whom they laid daily at the gate of the temple which is called Beautiful, to ask alms of them that entered into the temple;(KJV-1611) Act 3:2 Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.(Creole-HT) ======= Acts 3:3 ============ Act 3:3 Who seeing Peter and John about to go into the temple asked an alms.(KJV-1611) Act 3:3 Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.(Creole-HT) ======= Acts 3:4 ============ Act 3:4 And Peter, fastening his eyes upon him with John, said, Look on us.(KJV-1611) Act 3:4 Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.(Creole-HT) ======= Acts 3:5 ============ Act 3:5 And he gave heed unto them, expecting to receive something of them.(KJV-1611) Act 3:5 Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy.(Creole-HT) ======= Acts 3:6 ============ Act 3:6 Then Peter said, Silver and gold have I none; but such as I have give I thee: In the name of Jesus Christ of Nazareth rise up and walk.(KJV-1611) Act 3:6 Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.(Creole-HT) ======= Acts 3:7 ============ Act 3:7 And he took him by the right hand, and lifted him up: and immediately his feet and ankle bones received strength.(KJV-1611) Act 3:7 Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm.(Creole-HT) ======= Acts 3:8 ============ Act 3:8 And he leaping up stood, and walked, and entered with them into the temple, walking, and leaping, and praising God.(KJV-1611) Act 3:8 Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 3:9 ============ Act 3:9 And all the people saw him walking and praising God:(KJV-1611) Act 3:9 Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 3:10 ============ Act 3:10 And they knew that it was he which sat for alms at the Beautiful gate of the temple: and they were filled with wonder and amazement at that which had happened unto him.(KJV-1611) Act 3:10 Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.(Creole-HT) ======= Acts 3:11 ============ Act 3:11 And as the lame man which was healed held Peter and John, all the people ran together unto them in the porch that is called Solomon's, greatly wondering.(KJV-1611) Act 3:11 Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.(Creole-HT) ======= Acts 3:12 ============ Act 3:12 And when Peter saw it, he answered unto the people, Ye men of Israel, why marvel ye at this? or why look ye so earnestly on us, as though by our own power or holiness we had made this man to walk?(KJV-1611) Act 3:12 Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?(Creole-HT) ======= Acts 3:13 ============ Act 3:13 The God of Abraham, and of Isaac, and of Jacob, the God of our fathers, hath glorified his Son Jesus; whom ye delivered up, and denied him in the presence of Pilate, when he was determined to let him go.(KJV-1611) Act 3:13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.(Creole-HT) ======= Acts 3:14 ============ Act 3:14 But ye denied the Holy One and the Just, and desired a murderer to be granted unto you;(KJV-1611) Act 3:14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou.(Creole-HT) ======= Acts 3:15 ============ Act 3:15 And killed the Prince of life, whom God hath raised from the dead; whereof we are witnesses.(KJV-1611) Act 3:15 Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Acts 3:16 ============ Act 3:16 And his name through faith in his name hath made this man strong, whom ye see and know: yea, the faith which is by him hath given him this perfect soundness in the presence of you all.(KJV-1611) Act 3:16 Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.(Creole-HT) ======= Acts 3:17 ============ Act 3:17 And now, brethren, I wot that through ignorance ye did it, as did also your rulers.(KJV-1611) Act 3:17 Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 3:18 ============ Act 3:18 But those things, which God before had shewed by the mouth of all his prophets, that Christ should suffer, he hath so fulfilled.(KJV-1611) Act 3:18 Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.(Creole-HT) ======= Acts 3:19 ============ Act 3:19 Repent ye therefore, and be converted, that your sins may be blotted out, when the times of refreshing shall come from the presence of the Lord.(KJV-1611) Act 3:19 Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 3:20 ============ Act 3:20 And he shall send Jesus Christ, which before was preached unto you:(KJV-1611) Act 3:20 Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.(Creole-HT) ======= Acts 3:21 ============ Act 3:21 Whom the heaven must receive until the times of restitution of all things, which God hath spoken by the mouth of all his holy prophets since the world began.(KJV-1611) Act 3:21 Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Acts 3:22 ============ Act 3:22 For Moses truly said unto the fathers, A prophet shall the Lord your God raise up unto you of your brethren, like unto me; him shall ye hear in all things whatsoever he shall say unto you.(KJV-1611) Act 3:22 Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.(Creole-HT) ======= Acts 3:23 ============ Act 3:23 And it shall come to pass, that every soul, which will not hear that prophet, shall be destroyed from among the people.(KJV-1611) Act 3:23 Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Acts 3:24 ============ Act 3:24 Yea, and all the prophets from Samuel and those that follow after, as many as have spoken, have likewise foretold of these days.(KJV-1611) Act 3:24 Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.(Creole-HT) ======= Acts 3:25 ============ Act 3:25 Ye are the children of the prophets, and of the covenant which God made with our fathers, saying unto Abraham, And in thy seed shall all the kindreds of the earth be blessed.(KJV-1611) Act 3:25 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Acts 3:26 ============ Act 3:26 Unto you first God, having raised up his Son Jesus, sent him to bless you, in turning away every one of you from his iniquities.(KJV-1611) Act 3:26 Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 4:1 ============ Act 4:1 And as they spake unto the people, the priests, and the captain of the temple, and the Sadducees, came upon them,(KJV-1611) Act 4:1 Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive.(Creole-HT) ======= Acts 4:2 ============ Act 4:2 Being grieved that they taught the people, and preached through Jesus the resurrection from the dead.(KJV-1611) Act 4:2 Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 4:3 ============ Act 4:3 And they laid hands on them, and put them in hold unto the next day: for it was now eventide.(KJV-1611) Act 4:3 Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche.(Creole-HT) ======= Acts 4:4 ============ Act 4:4 Howbeit many of them which heard the word believed; and the number of the men was about five thousand.(KJV-1611) Act 4:4 Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil moun konsa ki te kwè.(Creole-HT) ======= Acts 4:5 ============ Act 4:5 And it came to pass on the morrow, that their rulers, and elders, and scribes,(KJV-1611) Act 4:5 Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 4:6 ============ Act 4:6 And Annas the high priest, and Caiaphas, and John, and Alexander, and as many as were of the kindred of the high priest, were gathered together at Jerusalem.(KJV-1611) Act 4:6 Ladan yo te gen: An, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la.(Creole-HT) ======= Acts 4:7 ============ Act 4:7 And when they had set them in the midst, they asked, By what power, or by what name, have ye done this?(KJV-1611) Act 4:7 Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: Kote n' pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa?(Creole-HT) ======= Acts 4:8 ============ Act 4:8 Then Peter, filled with the Holy Ghost, said unto them, Ye rulers of the people, and elders of Israel,(KJV-1611) Act 4:8 Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo:(Creole-HT) ======= Acts 4:9 ============ Act 4:9 If we this day be examined of the good deed done to the impotent man, by what means he is made whole;(KJV-1611) Act 4:9 Jòdi a y'ap poze nou keksyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri.(Creole-HT) ======= Acts 4:10 ============ Act 4:10 Be it known unto you all, and to all the people of Israel, that by the name of Jesus Christ of Nazareth, whom ye crucified, whom God raised from the dead, even by him doth this man stand here before you whole.(KJV-1611) Act 4:10 Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 4:11 ============ Act 4:11 This is the stone which was set at nought of you builders, which is become the head of the corner.(KJV-1611) Act 4:11 Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.(Creole-HT) ======= Acts 4:12 ============ Act 4:12 Neither is there salvation in any other: for there is none other name under heaven given among men, whereby we must be saved.(KJV-1611) Act 4:12 Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.(Creole-HT) ======= Acts 4:13 ============ Act 4:13 Now when they saw the boldness of Peter and John, and perceived that they were unlearned and ignorant men, they marvelled; and they took knowledge of them, that they had been with Jesus.(KJV-1611) Act 4:13 Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 4:14 ============ Act 4:14 And beholding the man which was healed standing with them, they could say nothing against it.(KJV-1611) Act 4:14 Men, yo pa t' jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kot Pyè ak Jan.(Creole-HT) ======= Acts 4:15 ============ Act 4:15 But when they had commanded them to go aside out of the council, they conferred among themselves,(KJV-1611) Act 4:15 Yo mande apòt yo pou yo soti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Acts 4:16 ============ Act 4:16 Saying, What shall we do to these men? for that indeed a notable miracle hath been done by them is manifest to all them that dwell in Jerusalem; and we cannot deny it.(KJV-1611) Act 4:16 Yo t'ap di konsa: Kisa pou n' fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre.(Creole-HT) ======= Acts 4:17 ============ Act 4:17 But that it spread no further among the people, let us straitly threaten them, that they speak henceforth to no man in this name.(KJV-1611) Act 4:17 Men, pou nouvèl la pa gaye plis nan pèp la, n'ap kraponnen yo, n'ap defann yo pale ak pesonn nan non Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 4:18 ============ Act 4:18 And they called them, and commanded them not to speak at all nor teach in the name of Jesus.(KJV-1611) Act 4:18 Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 4:19 ============ Act 4:19 But Peter and John answered and said unto them, Whether it be right in the sight of God to hearken unto you more than unto God, judge ye.(KJV-1611) Act 4:19 Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye?(Creole-HT) ======= Acts 4:20 ============ Act 4:20 For we cannot but speak the things which we have seen and heard.(KJV-1611) Act 4:20 Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.(Creole-HT) ======= Acts 4:21 ============ Act 4:21 So when they had further threatened them, they let them go, finding nothing how they might punish them, because of the people: for all men glorified God for that which was done.(KJV-1611) Act 4:21 Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a.(Creole-HT) ======= Acts 4:22 ============ Act 4:22 For the man was above forty years old, on whom this miracle of healing was shewed.(KJV-1611) Act 4:22 Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase.(Creole-HT) ======= Acts 4:23 ============ Act 4:23 And being let go, they went to their own company, and reported all that the chief priests and elders had said unto them.(KJV-1611) Act 4:23 Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di.(Creole-HT) ======= Acts 4:24 ============ Act 4:24 And when they heard that, they lifted up their voice to God with one accord, and said, Lord, thou art God, which hast made heaven, and earth, and the sea, and all that in them is:(KJV-1611) Act 4:24 Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.(Creole-HT) ======= Acts 4:25 ============ Act 4:25 Who by the mouth of thy servant David hast said, Why did the heathen rage, and the people imagine vain things?(KJV-1611) Act 4:25 Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa?(Creole-HT) ======= Acts 4:26 ============ Act 4:26 The kings of the earth stood up, and the rulers were gathered together against the Lord, and against his Christ.(KJV-1611) Act 4:26 Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a!(Creole-HT) ======= Acts 4:27 ============ Act 4:27 For of a truth against thy holy child Jesus, whom thou hast anointed, both Herod, and Pontius Pilate, with the Gentiles, and the people of Israel, were gathered together,(KJV-1611) Act 4:27 Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a.(Creole-HT) ======= Acts 4:28 ============ Act 4:28 For to do whatsoever thy hand and thy counsel determined before to be done.(KJV-1611) Act 4:28 Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la.(Creole-HT) ======= Acts 4:29 ============ Act 4:29 And now, Lord, behold their threatenings: and grant unto thy servants, that with all boldness they may speak thy word,(KJV-1611) Act 4:29 Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon.(Creole-HT) ======= Acts 4:30 ============ Act 4:30 By stretching forth thine hand to heal; and that signs and wonders may be done by the name of thy holy child Jesus.(KJV-1611) Act 4:30 Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.(Creole-HT) ======= Acts 4:31 ============ Act 4:31 And when they had prayed, the place was shaken where they were assembled together; and they were all filled with the Holy Ghost, and they spake the word of God with boldness.(KJV-1611) Act 4:31 Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.(Creole-HT) ======= Acts 4:32 ============ Act 4:32 And the multitude of them that believed were of one heart and of one soul: neither said any of them that ought of the things which he possessed was his own; but they had all things common.(KJV-1611) Act 4:32 Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.(Creole-HT) ======= Acts 4:33 ============ Act 4:33 And with great power gave the apostles witness of the resurrection of the Lord Jesus: and great grace was upon them all.(KJV-1611) Act 4:33 Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout.(Creole-HT) ======= Acts 4:34 ============ Act 4:34 Neither was there any among them that lacked: for as many as were possessors of lands or houses sold them, and brought the prices of the things that were sold,(KJV-1611) Act 4:34 Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an(Creole-HT) ======= Acts 4:35 ============ Act 4:35 And laid them down at the apostles' feet: and distribution was made unto every man according as he had need.(KJV-1611) Act 4:35 renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.(Creole-HT) ======= Acts 4:36 ============ Act 4:36 And Joses, who by the apostles was surnamed Barnabas, (which is, being interpreted, The son of consolation,) a Levite, and of the country of Cyprus,(KJV-1611) Act 4:36 Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a.(Creole-HT) ======= Acts 4:37 ============ Act 4:37 Having land, sold it, and brought the money, and laid it at the apostles' feet.(KJV-1611) Act 4:37 Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:1 ============ Act 5:1 But a certain man named Ananias, with Sapphira his wife, sold a possession,(KJV-1611) Act 5:1 Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen.(Creole-HT) ======= Acts 5:2 ============ Act 5:2 And kept back part of the price, his wife also being privy to it, and brought a certain part, and laid it at the apostles' feet.(KJV-1611) Act 5:2 Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la.(Creole-HT) ======= Acts 5:3 ============ Act 5:3 But Peter said, Ananias, why hath Satan filled thine heart to lie to the Holy Ghost, and to keep back part of the price of the land?(KJV-1611) Act 5:3 Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?(Creole-HT) ======= Acts 5:4 ============ Act 5:4 Whiles it remained, was it not thine own? and after it was sold, was it not in thine own power? why hast thou conceived this thing in thine heart? thou hast not lied unto men, but unto God.(KJV-1611) Act 5:4 Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.(Creole-HT) ======= Acts 5:5 ============ Act 5:5 And Ananias hearing these words fell down, and gave up the ghost: and great fear came on all them that heard these things.(KJV-1611) Act 5:5 Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.(Creole-HT) ======= Acts 5:6 ============ Act 5:6 And the young men arose, wound him up, and carried him out, and buried him.(KJV-1611) Act 5:6 Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li.(Creole-HT) ======= Acts 5:7 ============ Act 5:7 And it was about the space of three hours after, when his wife, not knowing what was done, came in.(KJV-1611) Act 5:7 Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre.(Creole-HT) ======= Acts 5:8 ============ Act 5:8 And Peter answered unto her, Tell me whether ye sold the land for so much? And she said, Yea, for so much.(KJV-1611) Act 5:8 Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a.(Creole-HT) ======= Acts 5:9 ============ Act 5:9 Then Peter said unto her, How is it that ye have agreed together to tempt the Spirit of the Lord? behold, the feet of them which have buried thy husband are at the door, and shall carry thee out.(KJV-1611) Act 5:9 Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.(Creole-HT) ======= Acts 5:10 ============ Act 5:10 Then fell she down straightway at his feet, and yielded up the ghost: and the young men came in, and found her dead, and, carrying her forth, buried her by her husband.(KJV-1611) Act 5:10 Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li.(Creole-HT) ======= Acts 5:11 ============ Act 5:11 And great fear came upon all the church, and upon as many as heard these things.(KJV-1611) Act 5:11 Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.(Creole-HT) ======= Acts 5:12 ============ Act 5:12 And by the hands of the apostles were many signs and wonders wrought among the people; (and they were all with one accord in Solomon's porch.(KJV-1611) Act 5:12 Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.(Creole-HT) ======= Acts 5:13 ============ Act 5:13 And of the rest durst no man join himself to them: but the people magnified them.(KJV-1611) Act 5:13 Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:14 ============ Act 5:14 And believers were the more added to the Lord, multitudes both of men and women.)(KJV-1611) Act 5:14 Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 5:15 ============ Act 5:15 Insomuch that they brought forth the sick into the streets, and laid them on beds and couches, that at the least the shadow of Peter passing by might overshadow some of them.(KJV-1611) Act 5:15 Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:16 ============ Act 5:16 There came also a multitude out of the cities round about unto Jerusalem, bringing sick folks, and them which were vexed with unclean spirits: and they were healed every one.(KJV-1611) Act 5:16 Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.(Creole-HT) ======= Acts 5:17 ============ Act 5:17 Then the high priest rose up, and all they that were with him, (which is the sect of the Sadducees,) and were filled with indignation,(KJV-1611) Act 5:17 Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li.(Creole-HT) ======= Acts 5:18 ============ Act 5:18 And laid their hands on the apostles, and put them in the common prison.(KJV-1611) Act 5:18 Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.(Creole-HT) ======= Acts 5:19 ============ Act 5:19 But the angel of the Lord by night opened the prison doors, and brought them forth, and said,(KJV-1611) Act 5:19 Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo:(Creole-HT) ======= Acts 5:20 ============ Act 5:20 Go, stand and speak in the temple to the people all the words of this life.(KJV-1611) Act 5:20 Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.(Creole-HT) ======= Acts 5:21 ============ Act 5:21 And when they heard that, they entered into the temple early in the morning, and taught. But the high priest came, and they that were with him, and called the council together, and all the senate of the children of Israel, and sent to the prison to have them brought.(KJV-1611) Act 5:21 Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an.(Creole-HT) ======= Acts 5:22 ============ Act 5:22 But when the officers came, and found them not in the prison, they returned and told,(KJV-1611) Act 5:22 Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di:(Creole-HT) ======= Acts 5:23 ============ Act 5:23 Saying, The prison truly found we shut with all safety, and the keepers standing without before the doors: but when we had opened, we found no man within.(KJV-1611) Act 5:23 Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an.(Creole-HT) ======= Acts 5:24 ============ Act 5:24 Now when the high priest and the captain of the temple and the chief priests heard these things, they doubted of them whereunto this would grow.(KJV-1611) Act 5:24 Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive.(Creole-HT) ======= Acts 5:25 ============ Act 5:25 Then came one and told them, saying, Behold, the men whom ye put in prison are standing in the temple, and teaching the people.(KJV-1611) Act 5:25 Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la.(Creole-HT) ======= Acts 5:26 ============ Act 5:26 Then went the captain with the officers, and brought them without violence: for they feared the people, lest they should have been stoned.(KJV-1611) Act 5:26 Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch.(Creole-HT) ======= Acts 5:27 ============ Act 5:27 And when they had brought them, they set them before the council: and the high priest asked them,(KJV-1611) Act 5:27 Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon.(Creole-HT) ======= Acts 5:28 ============ Act 5:28 Saying, Did not we straitly command you that ye should not teach in this name? and, behold, ye have filled Jerusalem with your doctrine, and intend to bring this man's blood upon us.(KJV-1611) Act 5:28 Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan.(Creole-HT) ======= Acts 5:29 ============ Act 5:29 Then Peter and the other apostles answered and said, We ought to obey God rather than men.(KJV-1611) Act 5:29 Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.(Creole-HT) ======= Acts 5:30 ============ Act 5:30 The God of our fathers raised up Jesus, whom ye slew and hanged on a tree.(KJV-1611) Act 5:30 Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a.(Creole-HT) ======= Acts 5:31 ============ Act 5:31 Him hath God exalted with his right hand to be a Prince and a Saviour, for to give repentance to Israel, and forgiveness of sins.(KJV-1611) Act 5:31 Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:32 ============ Act 5:32 And we are his witnesses of these things; and so is also the Holy Ghost, whom God hath given to them that obey him.(KJV-1611) Act 5:32 Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:33 ============ Act 5:33 When they heard that, they were cut to the heart, and took counsel to slay them.(KJV-1611) Act 5:33 Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:34 ============ Act 5:34 Then stood there up one in the council, a Pharisee, named Gamaliel, a doctor of the law, had in reputation among all the people, and commanded to put the apostles forth a little space;(KJV-1611) Act 5:34 Men, te gen yon farizyen nan mitan yo ki te rele Gamalyèl. Se te yon dirèktè lalwa tout pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Konsèy la, li mande pou fè apòt yo soti yon ti moman.(Creole-HT) ======= Acts 5:35 ============ Act 5:35 And said unto them, Ye men of Israel, take heed to yourselves what ye intend to do as touching these men.(KJV-1611) Act 5:35 Apre sa, li di: Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:36 ============ Act 5:36 For before these days rose up Theudas, boasting himself to be somebody; to whom a number of men, about four hundred, joined themselves: who was slain; and all, as many as obeyed him, were scattered, and brought to nought.(KJV-1611) Act 5:36 Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe.(Creole-HT) ======= Acts 5:37 ============ Act 5:37 After this man rose up Judas of Galilee in the days of the taxing, and drew away much people after him: he also perished; and all, even as many as obeyed him, were dispersed.(KJV-1611) Act 5:37 Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou.(Creole-HT) ======= Acts 5:38 ============ Act 5:38 And now I say unto you, Refrain from these men, and let them alone: for if this counsel or this work be of men, it will come to nought:(KJV-1611) Act 5:38 Pou koulye a, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a soti nan lèzòm, li gen pou l' disparèt.(Creole-HT) ======= Acts 5:39 ============ Act 5:39 But if it be of God, ye cannot overthrow it; lest haply ye be found even to fight against God.(KJV-1611) Act 5:39 Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl.(Creole-HT) ======= Acts 5:40 ============ Act 5:40 And to him they agreed: and when they had called the apostles, and beaten them, they commanded that they should not speak in the name of Jesus, and let them go.(KJV-1611) Act 5:40 Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.(Creole-HT) ======= Acts 5:41 ============ Act 5:41 And they departed from the presence of the council, rejoicing that they were counted worthy to suffer shame for his name.(KJV-1611) Act 5:41 Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 5:42 ============ Act 5:42 And daily in the temple, and in every house, they ceased not to teach and preach Jesus Christ.(KJV-1611) Act 5:42 Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.(Creole-HT) ======= Acts 6:1 ============ Act 6:1 And in those days, when the number of the disciples was multiplied, there arose a murmuring of the Grecians against the Hebrews, because their widows were neglected in the daily ministration.(KJV-1611) Act 6:1 Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a.(Creole-HT) ======= Acts 6:2 ============ Act 6:2 Then the twelve called the multitude of the disciples unto them, and said, It is not reason that we should leave the word of God, and serve tables.(KJV-1611) Act 6:2 Douz apòt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n' al okipe sèvis manje a.(Creole-HT) ======= Acts 6:3 ============ Act 6:3 Wherefore, brethren, look ye out among you seven men of honest report, full of the Holy Ghost and wisdom, whom we may appoint over this business.(KJV-1611) Act 6:3 Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fè sèvis sa a.(Creole-HT) ======= Acts 6:4 ============ Act 6:4 But we will give ourselves continually to prayer, and to the ministry of the word.(KJV-1611) Act 6:4 Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 6:5 ============ Act 6:5 And the saying pleased the whole multitude: and they chose Stephen, a man full of faith and of the Holy Ghost, and Philip, and Prochorus, and Nicanor, and Timon, and Parmenas, and Nicolas a proselyte of Antioch:(KJV-1611) Act 6:5 Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 6:6 ============ Act 6:6 Whom they set before the apostles: and when they had prayed, they laid their hands on them.(KJV-1611) Act 6:6 Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo.(Creole-HT) ======= Acts 6:7 ============ Act 6:7 And the word of God increased; and the number of the disciples multiplied in Jerusalem greatly; and a great company of the priests were obedient to the faith.(KJV-1611) Act 6:7 Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.(Creole-HT) ======= Acts 6:8 ============ Act 6:8 And Stephen, full of faith and power, did great wonders and miracles among the people.(KJV-1611) Act 6:8 Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la.(Creole-HT) ======= Acts 6:9 ============ Act 6:9 Then there arose certain of the synagogue, which is called the synagogue of the Libertines, and Cyrenians, and Alexandrians, and of them of Cilicia and of Asia, disputing with Stephen.(KJV-1611) Act 6:9 Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn.(Creole-HT) ======= Acts 6:10 ============ Act 6:10 And they were not able to resist the wisdom and the spirit by which he spake.(KJV-1611) Act 6:10 Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li.(Creole-HT) ======= Acts 6:11 ============ Act 6:11 Then they suborned men, which said, We have heard him speak blasphemous words against Moses, and against God.(KJV-1611) Act 6:11 Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 6:12 ============ Act 6:12 And they stirred up the people, and the elders, and the scribes, and came upon him, and caught him, and brought him to the council,(KJV-1611) Act 6:12 Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la.(Creole-HT) ======= Acts 6:13 ============ Act 6:13 And set up false witnesses, which said, This man ceaseth not to speak blasphemous words against this holy place, and the law:(KJV-1611) Act 6:13 Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la.(Creole-HT) ======= Acts 6:14 ============ Act 6:14 For we have heard him say, that this Jesus of Nazareth shall destroy this place, and shall change the customs which Moses delivered us.(KJV-1611) Act 6:14 Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 6:15 ============ Act 6:15 And all that sat in the council, looking stedfastly on him, saw his face as it had been the face of an angel.(KJV-1611) Act 6:15 Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 7:1 ============ Act 7:1 Then said the high priest, Are these things so?(KJV-1611) Act 7:1 Granprèt la mande Etyèn: Eske se vre?(Creole-HT) ======= Acts 7:2 ============ Act 7:2 And he said, Men, brethren, and fathers, hearken; The God of glory appeared unto our father Abraham, when he was in Mesopotamia, before he dwelt in Charran,(KJV-1611) Act 7:2 Etyèn reponn: Frè m' yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pa t' ankò vin rete Karan.(Creole-HT) ======= Acts 7:3 ============ Act 7:3 And said unto him, Get thee out of thy country, and from thy kindred, and come into the land which I shall shew thee.(KJV-1611) Act 7:3 Bondye di l' konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l'. Ale nan peyi m'a moutre ou la.(Creole-HT) ======= Acts 7:4 ============ Act 7:4 Then came he out of the land of the Chaldaeans, and dwelt in Charran: and from thence, when his father was dead, he removed him into this land, wherein ye now dwell.(KJV-1611) Act 7:4 Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a.(Creole-HT) ======= Acts 7:5 ============ Act 7:5 And he gave him none inheritance in it, no, not so much as to set his foot on: yet he promised that he would give it to him for a possession, and to his seed after him, when as yet he had no child.(KJV-1611) Act 7:5 Lè sa a, Bondye pa t' bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l' peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pa t' gen pitit.(Creole-HT) ======= Acts 7:6 ============ Act 7:6 And God spake on this wise, That his seed should sojourn in a strange land; and that they should bring them into bondage, and entreat them evil four hundred years.(KJV-1611) Act 7:6 Men sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo gen pou y' al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan .(Creole-HT) ======= Acts 7:7 ============ Act 7:7 And the nation to whom they shall be in bondage will I judge, said God: and after that shall they come forth, and serve me in this place.(KJV-1611) Act 7:7 Men, Bondye di l' ankò: Se mwen menm k'ap peni nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a soti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m' isit la.(Creole-HT) ======= Acts 7:8 ============ Act 7:8 And he gave him the covenant of circumcision: and so Abraham begat Isaac, and circumcised him the eighth day; and Isaac begat Jacob; and Jacob begat the twelve patriarchs.(KJV-1611) Act 7:8 Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Acts 7:9 ============ Act 7:9 And the patriarchs, moved with envy, sold Joseph into Egypt: but God was with him,(KJV-1611) Act 7:9 Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf.(Creole-HT) ======= Acts 7:10 ============ Act 7:10 And delivered him out of all his afflictions, and gave him favour and wisdom in the sight of Pharaoh king of Egypt; and he made him governor over Egypt and all his house.(KJV-1611) Act 7:10 Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.(Creole-HT) ======= Acts 7:11 ============ Act 7:11 Now there came a dearth over all the land of Egypt and Chanaan, and great affliction: and our fathers found no sustenance.(KJV-1611) Act 7:11 Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pa t' jwenn anyen pou yo te manje.(Creole-HT) ======= Acts 7:12 ============ Act 7:12 But when Jacob heard that there was corn in Egypt, he sent out our fathers first.(KJV-1611) Act 7:12 Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa.(Creole-HT) ======= Acts 7:13 ============ Act 7:13 And at the second time Joseph was made known to his brethren; and Joseph's kindred was made known unto Pharaoh.(KJV-1611) Act 7:13 Dezyèm fwa y' ale a, Jozèf fè frè l' yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo.(Creole-HT) ======= Acts 7:14 ============ Act 7:14 Then sent Joseph, and called his father Jacob to him, and all his kindred, threescore and fifteen souls.(KJV-1611) Act 7:14 Jozèf voye chache Jakòb, papa l', ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou.(Creole-HT) ======= Acts 7:15 ============ Act 7:15 So Jacob went down into Egypt, and died, he, and our fathers,(KJV-1611) Act 7:15 Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 7:16 ============ Act 7:16 And were carried over into Sychem, and laid in the sepulchre that Abraham bought for a sum of money of the sons of Emmor the father of Sychem.(KJV-1611) Act 7:16 Yo pote kò yo Sichèm, yo antere yo la, nan twou wòch Abraram te achte nan men eritye Emò yo, lavil Sichèm.(Creole-HT) ======= Acts 7:17 ============ Act 7:17 But when the time of the promise drew nigh, which God had sworn to Abraham, the people grew and multiplied in Egypt,(KJV-1611) Act 7:17 Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Acts 7:18 ============ Act 7:18 Till another king arose, which knew not Joseph.(KJV-1611) Act 7:18 Yon lòt wa ki pa t' konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a.(Creole-HT) ======= Acts 7:19 ============ Act 7:19 The same dealt subtilly with our kindred, and evil entreated our fathers, so that they cast out their young children, to the end they might not live.(KJV-1611) Act 7:19 Wa sa a twonpe pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo: li fòse yo kite tibebe ki fenk fèt yo deyò pou yo mouri.(Creole-HT) ======= Acts 7:20 ============ Act 7:20 In which time Moses was born, and was exceeding fair, and nourished up in his father's house three months:(KJV-1611) Act 7:20 Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l' pandan twa mwa lakay papa li pou ba l' tete.(Creole-HT) ======= Acts 7:21 ============ Act 7:21 And when he was cast out, Pharaoh's daughter took him up, and nourished him for her own son.(KJV-1611) Act 7:21 Men, lè yo te lage l' deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l': li elve l' tankou pitit pa li.(Creole-HT) ======= Acts 7:22 ============ Act 7:22 And Moses was learned in all the wisdom of the Egyptians, and was mighty in words and in deeds.(KJV-1611) Act 7:22 Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l' te pale ak sa l' t'ap fè, yo te wè msye te fò anpil.(Creole-HT) ======= Acts 7:23 ============ Act 7:23 And when he was full forty years old, it came into his heart to visit his brethren the children of Israel.(KJV-1611) Act 7:23 Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l' yo, moun pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Acts 7:24 ============ Act 7:24 And seeing one of them suffer wrong, he defended him, and avenged him that was oppressed, and smote the Egyptian:(KJV-1611) Act 7:24 Lè l' rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l' yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li.(Creole-HT) ======= Acts 7:25 ============ Act 7:25 For he supposed his brethren would have understood how that God by his hand would deliver them: but they understood not.(KJV-1611) Act 7:25 Li te kwè frè l' yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l' pou delivre yo a. Men, yo pa t' konprann sa.(Creole-HT) ======= Acts 7:26 ============ Act 7:26 And the next day he shewed himself unto them as they strove, and would have set them at one again, saying, Sirs, ye are brethren; why do ye wrong one to another?(KJV-1611) Act 7:26 Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa?(Creole-HT) ======= Acts 7:27 ============ Act 7:27 But he that did his neighbour wrong thrust him away, saying, Who made thee a ruler and a judge over us?(KJV-1611) Act 7:27 Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l' konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou?(Creole-HT) ======= Acts 7:28 ============ Act 7:28 Wilt thou kill me, as thou diddest the Egyptian yesterday?(KJV-1611) Act 7:28 Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a?(Creole-HT) ======= Acts 7:29 ============ Act 7:29 Then fled Moses at this saying, and was a stranger in the land of Madian, where he begat two sons.(KJV-1611) Act 7:29 Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, li al viv nan peyi Madyan. Antan l' te la, li fè de pitit gason.(Creole-HT) ======= Acts 7:30 ============ Act 7:30 And when forty years were expired, there appeared to him in the wilderness of mount Sina an angel of the Lord in a flame of fire in a bush.(KJV-1611) Act 7:30 Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a.(Creole-HT) ======= Acts 7:31 ============ Act 7:31 When Moses saw it, he wondered at the sight: and as he drew near to behold it, the voice of the LORD came unto him,(KJV-1611) Act 7:31 Moyiz te sezi lè l' wè aparisyon sa a. Antan l' t'ap pwoche pou gade l' pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di:(Creole-HT) ======= Acts 7:32 ============ Act 7:32 Saying, I am the God of thy fathers, the God of Abraham, and the God of Isaac, and the God of Jacob. Then Moses trembled, and durst not behold.(KJV-1611) Act 7:32 Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l' pou l' gade.(Creole-HT) ======= Acts 7:33 ============ Act 7:33 Then said the Lord to him, Put off thy shoes from thy feet: for the place where thou standest is holy ground.(KJV-1611) Act 7:33 Lè sa a Bondye di l' ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 7:34 ============ Act 7:34 I have seen, I have seen the affliction of my people which is in Egypt, and I have heard their groaning, and am come down to deliver them. And now come, I will send thee into Egypt.(KJV-1611) Act 7:34 Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan li ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Koulye a, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip.(Creole-HT) ======= Acts 7:35 ============ Act 7:35 This Moses whom they refused, saying, Who made thee a ruler and a judge? the same did God send to be a ruler and a deliverer by the hand of the angel which appeared to him in the bush.(KJV-1611) Act 7:35 Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a.(Creole-HT) ======= Acts 7:36 ============ Act 7:36 He brought them out, after that he had shewed wonders and signs in the land of Egypt, and in the Red sea, and in the wilderness forty years.(KJV-1611) Act 7:36 Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan.(Creole-HT) ======= Acts 7:37 ============ Act 7:37 This is that Moses, which said unto the children of Israel, A prophet shall the Lord your God raise up unto you of your brethren, like unto me; him shall ye hear.(KJV-1611) Act 7:37 Se menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan: se va yonn nan frè nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 7:38 ============ Act 7:38 This is he, that was in the church in the wilderness with the angel which spake to him in the mount Sina, and with our fathers: who received the lively oracles to give unto us:(KJV-1611) Act 7:38 Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l' sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.(Creole-HT) ======= Acts 7:39 ============ Act 7:39 To whom our fathers would not obey, but thrust him from them, and in their hearts turned back again into Egypt,(KJV-1611) Act 7:39 Men, zansèt nou yo pa t' vle obeyi l'; yo mete l' sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip.(Creole-HT) ======= Acts 7:40 ============ Act 7:40 Saying unto Aaron, Make us gods to go before us: for as for this Moses, which brought us out of the land of Egypt, we wot not what is become of him.(KJV-1611) Act 7:40 Yo di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Acts 7:41 ============ Act 7:41 And they made a calf in those days, and offered sacrifice unto the idol, and rejoiced in the works of their own hands.(KJV-1611) Act 7:41 Lè sa a, yo fè yon estati an fòm yon ti towo bèf, epi yo touye bèt ofri bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a.(Creole-HT) ======= Acts 7:42 ============ Act 7:42 Then God turned, and gave them up to worship the host of heaven; as it is written in the book of the prophets, O ye house of Israel, have ye offered to me slain beasts and sacrifices by the space of forty years in the wilderness?(KJV-1611) Act 7:42 Men, Bondye vire do l' ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pase nan gwo dezè a?(Creole-HT) ======= Acts 7:43 ============ Act 7:43 Yea, ye took up the tabernacle of Moloch, and the star of your god Remphan, figures which ye made to worship them: and I will carry you away beyond Babylon.(KJV-1611) Act 7:43 Non, se pa t' pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la, ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an, bann zidòl nou te fè ak men nou pou n' adore! Se poutèt sa, m'ap voye nou jouk lòt bò Babilòn.(Creole-HT) ======= Acts 7:44 ============ Act 7:44 Our fathers had the tabernacle of witness in the wilderness, as he had appointed, speaking unto Moses, that he should make it according to the fashion that he had seen.(KJV-1611) Act 7:44 Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la.(Creole-HT) ======= Acts 7:45 ============ Act 7:45 Which also our fathers that came after brought in with Jesus into the possession of the Gentiles, whom God drave out before the face of our fathers, unto the days of David;(KJV-1611) Act 7:45 Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.(Creole-HT) ======= Acts 7:46 ============ Act 7:46 Who found favour before God, and desired to find a tabernacle for the God of Jacob.(KJV-1611) Act 7:46 David te jwenn favè Bondye, li te mande l' pèmisyon pou l' te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.(Creole-HT) ======= Acts 7:47 ============ Act 7:47 But Solomon built him an house.(KJV-1611) Act 7:47 Men se Salomon ki te bati kay la pou li.(Creole-HT) ======= Acts 7:48 ============ Act 7:48 Howbeit the most High dwelleth not in temples made with hands; as saith the prophet,(KJV-1611) Act 7:48 Men, Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di:(Creole-HT) ======= Acts 7:49 ============ Act 7:49 Heaven is my throne, and earth is my footstool: what house will ye build me? saith the Lord: or what is the place of my rest?(KJV-1611) Act 7:49 Syèl la se fòtèy kote m' chita a. Se Bondye ki di sa. Tè a se yon ti ban pou m' lonje pye mwen. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?(Creole-HT) ======= Acts 7:50 ============ Act 7:50 Hath not my hand made all these things?(KJV-1611) Act 7:50 Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo?(Creole-HT) ======= Acts 7:51 ============ Act 7:51 Ye stiffnecked and uncircumcised in heart and ears, ye do always resist the Holy Ghost: as your fathers did, so do ye.(KJV-1611) Act 7:51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 7:52 ============ Act 7:52 Which of the prophets have not your fathers persecuted? and they have slain them which shewed before of the coming of the Just One; of whom ye have been now the betrayers and murderers:(KJV-1611) Act 7:52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.(Creole-HT) ======= Acts 7:53 ============ Act 7:53 Who have received the law by the disposition of angels, and have not kept it.(KJV-1611) Act 7:53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.(Creole-HT) ======= Acts 7:54 ============ Act 7:54 When they heard these things, they were cut to the heart, and they gnashed on him with their teeth.(KJV-1611) Act 7:54 Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè.(Creole-HT) ======= Acts 7:55 ============ Act 7:55 But he, being full of the Holy Ghost, looked up stedfastly into heaven, and saw the glory of God, and Jesus standing on the right hand of God,(KJV-1611) Act 7:55 Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l' anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 7:56 ============ Act 7:56 And said, Behold, I see the heavens opened, and the Son of man standing on the right hand of God.(KJV-1611) Act 7:56 Li di: Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 7:57 ============ Act 7:57 Then they cried out with a loud voice, and stopped their ears, and ran upon him with one accord,(KJV-1611) Act 7:57 Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm.(Creole-HT) ======= Acts 7:58 ============ Act 7:58 And cast him out of the city, and stoned him: and the witnesses laid down their clothes at a young man's feet, whose name was Saul.(KJV-1611) Act 7:58 Yo trennen l' deyò lavil la. Yo touye l' ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl.(Creole-HT) ======= Acts 7:59 ============ Act 7:59 And they stoned Stephen, calling upon God, and saying, Lord Jesus, receive my spirit.(KJV-1611) Act 7:59 Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen.(Creole-HT) ======= Acts 7:60 ============ Act 7:60 And he kneeled down, and cried with a loud voice, Lord, lay not this sin to their charge. And when he had said this, he fell asleep.(KJV-1611) Act 7:60 Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: Seyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l' fin di sa, li mouri.(Creole-HT) ======= Acts 8:1 ============ Act 8:1 And Saul was consenting unto his death. And at that time there was a great persecution against the church which was at Jerusalem; and they were all scattered abroad throughout the regions of Judaea and Samaria, except the apostles.(KJV-1611) Act 8:1 Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 8:2 ============ Act 8:2 And devout men carried Stephen to his burial, and made great lamentation over him.(KJV-1611) Act 8:2 Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.(Creole-HT) ======= Acts 8:3 ============ Act 8:3 As for Saul, he made havock of the church, entering into every house, and haling men and women committed them to prison.(KJV-1611) Act 8:3 Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.(Creole-HT) ======= Acts 8:4 ============ Act 8:4 Therefore they that were scattered abroad went every where preaching the word.(KJV-1611) Act 8:4 Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.(Creole-HT) ======= Acts 8:5 ============ Act 8:5 Then Philip went down to the city of Samaria, and preached Christ unto them.(KJV-1611) Act 8:5 Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.(Creole-HT) ======= Acts 8:6 ============ Act 8:6 And the people with one accord gave heed unto those things which Philip spake, hearing and seeing the miracles which he did.(KJV-1611) Act 8:6 Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè.(Creole-HT) ======= Acts 8:7 ============ Act 8:7 For unclean spirits, crying with loud voice, came out of many that were possessed with them: and many taken with palsies, and that were lame, were healed.(KJV-1611) Act 8:7 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.(Creole-HT) ======= Acts 8:8 ============ Act 8:8 And there was great joy in that city.(KJV-1611) Act 8:8 Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 8:9 ============ Act 8:9 But there was a certain man, called Simon, which beforetime in the same city used sorcery, and bewitched the people of Samaria, giving out that himself was some great one:(KJV-1611) Act 8:9 Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.(Creole-HT) ======= Acts 8:10 ============ Act 8:10 To whom they all gave heed, from the least to the greatest, saying, This man is the great power of God.(KJV-1611) Act 8:10 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li.(Creole-HT) ======= Acts 8:11 ============ Act 8:11 And to him they had regard, because that of long time he had bewitched them with sorceries.(KJV-1611) Act 8:11 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo.(Creole-HT) ======= Acts 8:12 ============ Act 8:12 But when they believed Philip preaching the things concerning the kingdom of God, and the name of Jesus Christ, they were baptized, both men and women.(KJV-1611) Act 8:12 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.(Creole-HT) ======= Acts 8:13 ============ Act 8:13 Then Simon himself believed also: and when he was baptized, he continued with Philip, and wondered, beholding the miracles and signs which were done.(KJV-1611) Act 8:13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.(Creole-HT) ======= Acts 8:14 ============ Act 8:14 Now when the apostles which were at Jerusalem heard that Samaria had received the word of God, they sent unto them Peter and John:(KJV-1611) Act 8:14 Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.(Creole-HT) ======= Acts 8:15 ============ Act 8:15 Who, when they were come down, prayed for them, that they might receive the Holy Ghost:(KJV-1611) Act 8:15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,(Creole-HT) ======= Acts 8:16 ============ Act 8:16 (For as yet he was fallen upon none of them: only they were baptized in the name of the Lord Jesus.)(KJV-1611) Act 8:16 paske Sentespri a pa t' ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Seyè Jezi a sèlman.(Creole-HT) ======= Acts 8:17 ============ Act 8:17 Then laid they their hands on them, and they received the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 8:17 Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.(Creole-HT) ======= Acts 8:18 ============ Act 8:18 And when Simon saw that through laying on of the apostles' hands the Holy Ghost was given, he offered them money,(KJV-1611) Act 8:18 Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan.(Creole-HT) ======= Acts 8:19 ============ Act 8:19 Saying, Give me also this power, that on whomsoever I lay hands, he may receive the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 8:19 Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou.(Creole-HT) ======= Acts 8:20 ============ Act 8:20 But Peter said unto him, Thy money perish with thee, because thou hast thought that the gift of God may be purchased with money.(KJV-1611) Act 8:20 Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan?(Creole-HT) ======= Acts 8:21 ============ Act 8:21 Thou hast neither part nor lot in this matter: for thy heart is not right in the sight of God.(KJV-1611) Act 8:21 Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 8:22 ============ Act 8:22 Repent therefore of this thy wickedness, and pray God, if perhaps the thought of thine heart may be forgiven thee.(KJV-1611) Act 8:22 Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.(Creole-HT) ======= Acts 8:23 ============ Act 8:23 For I perceive that thou art in the gall of bitterness, and in the bond of iniquity.(KJV-1611) Act 8:23 Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou.(Creole-HT) ======= Acts 8:24 ============ Act 8:24 Then answered Simon, and said, Pray ye to the LORD for me, that none of these things which ye have spoken come upon me.(KJV-1611) Act 8:24 Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.(Creole-HT) ======= Acts 8:25 ============ Act 8:25 And they, when they had testified and preached the word of the Lord, returned to Jerusalem, and preached the gospel in many villages of the Samaritans.(KJV-1611) Act 8:25 Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.(Creole-HT) ======= Acts 8:26 ============ Act 8:26 And the angel of the Lord spake unto Philip, saying, Arise, and go toward the south unto the way that goeth down from Jerusalem unto Gaza, which is desert.(KJV-1611) Act 8:26 Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)(Creole-HT) ======= Acts 8:27 ============ Act 8:27 And he arose and went: and, behold, a man of Ethiopia, an eunuch of great authority under Candace queen of the Ethiopians, who had the charge of all her treasure, and had come to Jerusalem for to worship,(KJV-1611) Act 8:27 Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 8:28 ============ Act 8:28 Was returning, and sitting in his chariot read Esaias the prophet.(KJV-1611) Act 8:28 Antan li t'ap tounen nan peyi l', li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.(Creole-HT) ======= Acts 8:29 ============ Act 8:29 Then the Spirit said unto Philip, Go near, and join thyself to this chariot.(KJV-1611) Act 8:29 Sentespri di Filip konsa: Leve pye ou, rive toupre cha a.(Creole-HT) ======= Acts 8:30 ============ Act 8:30 And Philip ran thither to him, and heard him read the prophet Esaias, and said, Understandest thou what thou readest?(KJV-1611) Act 8:30 Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letiopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: Eske ou konprann sa w'ap li la a?(Creole-HT) ======= Acts 8:31 ============ Act 8:31 And he said, How can I, except some man should guide me? And he desired Philip that he would come up and sit with him.(KJV-1611) Act 8:31 Nonm lan reponn li: Ki jan pou m' fè konprann si m' pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l' moute nan cha a, vin chita bò kote li.(Creole-HT) ======= Acts 8:32 ============ Act 8:32 The place of the scripture which he read was this, He was led as a sheep to the slaughter; and like a lamb dumb before his shearer, so opened he not his mouth:(KJV-1611) Act 8:32 Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.(Creole-HT) ======= Acts 8:33 ============ Act 8:33 In his humiliation his judgment was taken away: and who shall declare his generation? for his life is taken from the earth.(KJV-1611) Act 8:33 Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l' jistis. Pesonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l' sou latè fini nèt.(Creole-HT) ======= Acts 8:34 ============ Act 8:34 And the eunuch answered Philip, and said, I pray thee, of whom speaketh the prophet this? of himself, or of some other man?(KJV-1611) Act 8:34 Chèf peyi Letiopi a mande Filip: Di m' non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l' osinon yon lòt moun?(Creole-HT) ======= Acts 8:35 ============ Act 8:35 Then Philip opened his mouth, and began at the same scripture, and preached unto him Jesus.(KJV-1611) Act 8:35 Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t'ap li nan liv la, li fè l' konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.(Creole-HT) ======= Acts 8:36 ============ Act 8:36 And as they went on their way, they came unto a certain water: and the eunuch said, See, here is water; what doth hinder me to be baptized?(KJV-1611) Act 8:36 Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm?(Creole-HT) ======= Acts 8:37 ============ Act 8:37 And Philip said, If thou believest with all thine heart, thou mayest. And he answered and said, I believe that Jesus Christ is the Son of God.(KJV-1611) Act 8:37 Filip di li: Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 8:38 ============ Act 8:38 And he commanded the chariot to stand still: and they went down both into the water, both Philip and the eunuch; and he baptized him.(KJV-1611) Act 8:38 Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li.(Creole-HT) ======= Acts 8:39 ============ Act 8:39 And when they were come up out of the water, the Spirit of the Lord caught away Philip, that the eunuch saw him no more: and he went on his way rejoicing.(KJV-1611) Act 8:39 Lè yo soti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l' ankò. Men, li kontinye chemen l' ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Acts 8:40 ============ Act 8:40 But Philip was found at Azotus: and passing through he preached in all the cities, till he came to Caesarea.(KJV-1611) Act 8:40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.(Creole-HT) ======= Acts 9:1 ============ Act 9:1 And Saul, yet breathing out threatenings and slaughter against the disciples of the Lord, went unto the high priest,(KJV-1611) Act 9:1 Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.(Creole-HT) ======= Acts 9:2 ============ Act 9:2 And desired of him letters to Damascus to the synagogues, that if he found any of this way, whether they were men or women, he might bring them bound unto Jerusalem.(KJV-1611) Act 9:2 Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 9:3 ============ Act 9:3 And as he journeyed, he came near Damascus: and suddenly there shined round about him a light from heaven:(KJV-1611) Act 9:3 Antan l' te sou wout la, prèt pou rive lavil Damas, li rete konsa yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote l' te ye a.(Creole-HT) ======= Acts 9:4 ============ Act 9:4 And he fell to the earth, and heard a voice saying unto him, Saul, Saul, why persecutest thou me?(KJV-1611) Act 9:4 Sòl tonbe atè, epi l' tande yon vwa ki di li: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?(Creole-HT) ======= Acts 9:5 ============ Act 9:5 And he said, Who art thou, Lord? And the Lord said, I am Jesus whom thou persecutest: it is hard for thee to kick against the pricks.(KJV-1611) Act 9:5 Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a.(Creole-HT) ======= Acts 9:6 ============ Act 9:6 And he trembling and astonished said, Lord, what wilt thou have me to do? And the Lord said unto him, Arise, and go into the city, and it shall be told thee what thou must do.(KJV-1611) Act 9:6 Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè.(Creole-HT) ======= Acts 9:7 ============ Act 9:7 And the men which journeyed with him stood speechless, hearing a voice, but seeing no man.(KJV-1611) Act 9:7 Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn.(Creole-HT) ======= Acts 9:8 ============ Act 9:8 And Saul arose from the earth; and when his eyes were opened, he saw no man: but they led him by the hand, and brought him into Damascus.(KJV-1611) Act 9:8 Sòl leve atè a, li louvri je l' men li pa t' kapab wè anyen. Yo pran men l', yo mennen l' lavil Damas.(Creole-HT) ======= Acts 9:9 ============ Act 9:9 And he was three days without sight, and neither did eat nor drink.(KJV-1611) Act 9:9 Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.(Creole-HT) ======= Acts 9:10 ============ Act 9:10 And there was a certain disciple at Damascus, named Ananias; and to him said the Lord in a vision, Ananias. And he said, Behold, I am here, Lord.(KJV-1611) Act 9:10 Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè.(Creole-HT) ======= Acts 9:11 ============ Act 9:11 And the Lord said unto him, Arise, and go into the street which is called Straight, and enquire in the house of Judas for one called Saul, of Tarsus: for, behold, he prayeth,(KJV-1611) Act 9:11 Seyè a di li: Leve koulye a, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l' ye a,(Creole-HT) ======= Acts 9:12 ============ Act 9:12 And hath seen in a vision a man named Ananias coming in, and putting his hand on him, that he might receive his sight.(KJV-1611) Act 9:12 li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l' kapab wè ankò.(Creole-HT) ======= Acts 9:13 ============ Act 9:13 Then Ananias answered, Lord, I have heard by many of this man, how much evil he hath done to thy saints at Jerusalem:(KJV-1611) Act 9:13 Ananyas reponn: Seyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 9:14 ============ Act 9:14 And here he hath authority from the chief priests to bind all that call on thy name.(KJV-1611) Act 9:14 Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l' arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l' pouvwa sa a.(Creole-HT) ======= Acts 9:15 ============ Act 9:15 But the Lord said unto him, Go thy way: for he is a chosen vessel unto me, to bear my name before the Gentiles, and kings, and the children of Israel:(KJV-1611) Act 9:15 Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Acts 9:16 ============ Act 9:16 For I will shew him how great things he must suffer for my name's sake.(KJV-1611) Act 9:16 Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.(Creole-HT) ======= Acts 9:17 ============ Act 9:17 And Ananias went his way, and entered into the house; and putting his hands on him said, Brother Saul, the Lord, even Jesus, that appeared unto thee in the way as thou camest, hath sent me, that thou mightest receive thy sight, and be filled with the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 9:17 Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.(Creole-HT) ======= Acts 9:18 ============ Act 9:18 And immediately there fell from his eyes as it had been scales: and he received sight forthwith, and arose, and was baptized.(KJV-1611) Act 9:18 Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l' wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.(Creole-HT) ======= Acts 9:19 ============ Act 9:19 And when he had received meat, he was strengthened. Then was Saul certain days with the disciples which were at Damascus.(KJV-1611) Act 9:19 Apre sa, li manje epi l' vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo.(Creole-HT) ======= Acts 9:20 ============ Act 9:20 And straightway he preached Christ in the synagogues, that he is the Son of God.(KJV-1611) Act 9:20 Menm lè a tou, li kòmanse bay mesaj la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 9:21 ============ Act 9:21 But all that heard him were amazed, and said; Is not this he that destroyed them which called on this name in Jerusalem, and came hither for that intent, that he might bring them bound unto the chief priests?(KJV-1611) Act 9:21 Tout moun ki te tande l' te sezi, yo t'ap di: Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a lavil Jerizalèm? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo?(Creole-HT) ======= Acts 9:22 ============ Act 9:22 But Saul increased the more in strength, and confounded the Jews which dwelt at Damascus, proving that this is very Christ.(KJV-1611) Act 9:22 Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.(Creole-HT) ======= Acts 9:23 ============ Act 9:23 And after that many days were fulfilled, the Jews took counsel to kill him:(KJV-1611) Act 9:23 Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Acts 9:24 ============ Act 9:24 But their laying await was known of Saul. And they watched the gates day and night to kill him.(KJV-1611) Act 9:24 Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li.(Creole-HT) ======= Acts 9:25 ============ Act 9:25 Then the disciples took him by night, and let him down by the wall in a basket.(KJV-1611) Act 9:25 Lè sa a, patizan Sòl yo pran l' nan mitan lannwit, yo mete l' nan yon panyen, yo file l' desann lòt bò miray lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 9:26 ============ Act 9:26 And when Saul was come to Jerusalem, he assayed to join himself to the disciples: but they were all afraid of him, and believed not that he was a disciple.(KJV-1611) Act 9:26 Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l' ak disip yo, men yo tout te pè l': yo pa t' kwè li te yon disip tout bon vre.(Creole-HT) ======= Acts 9:27 ============ Act 9:27 But Barnabas took him, and brought him to the apostles, and declared unto them how he had seen the Lord in the way, and that he had spoken to him, and how he had preached boldly at Damascus in the name of Jesus.(KJV-1611) Act 9:27 Lè sa a, Banabas pran l' avè l', epi li mennen l' bò kot apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Seyè a sou wout la, ki jan Seyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bon nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon.(Creole-HT) ======= Acts 9:28 ============ Act 9:28 And he was with them coming in and going out at Jerusalem.(KJV-1611) Act 9:28 Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesaj la avèk konviksyon nan non Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 9:29 ============ Act 9:29 And he spake boldly in the name of the Lord Jesus, and disputed against the Grecians: but they went about to slay him.(KJV-1611) Act 9:29 Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li.(Creole-HT) ======= Acts 9:30 ============ Act 9:30 Which when the brethren knew, they brought him down to Caesarea, and sent him forth to Tarsus.(KJV-1611) Act 9:30 Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l' lavil Sezare, yo fè l' pati pou Tas.(Creole-HT) ======= Acts 9:31 ============ Act 9:31 Then had the churches rest throughout all Judaea and Galilee and Samaria, and were edified; and walking in the fear of the Lord, and in the comfort of the Holy Ghost, were multiplied.(KJV-1611) Act 9:31 Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.(Creole-HT) ======= Acts 9:32 ============ Act 9:32 And it came to pass, as Peter passed throughout all quarters, he came down also to the saints which dwelt at Lydda.(KJV-1611) Act 9:32 Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida,(Creole-HT) ======= Acts 9:33 ============ Act 9:33 And there he found a certain man named Aeneas, which had kept his bed eight years, and was sick of the palsy.(KJV-1611) Act 9:33 li jwenn yon nonm yo te rele Ine ki te kouche sou yon kabann depi witan. Nonm sa a te paralize.(Creole-HT) ======= Acts 9:34 ============ Act 9:34 And Peter said unto him, Aeneas, Jesus Christ maketh thee whole: arise, and make thy bed. And he arose immediately.(KJV-1611) Act 9:34 Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe.(Creole-HT) ======= Acts 9:35 ============ Act 9:35 And all that dwelt at Lydda and Saron saw him, and turned to the Lord.(KJV-1611) Act 9:35 Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 9:36 ============ Act 9:36 Now there was at Joppa a certain disciple named Tabitha, which by interpretation is called Dorcas: this woman was full of good works and almsdeeds which she did.(KJV-1611) Act 9:36 Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.(Creole-HT) ======= Acts 9:37 ============ Act 9:37 And it came to pass in those days, that she was sick, and died: whom when they had washed, they laid her in an upper chamber.(KJV-1611) Act 9:37 Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la.(Creole-HT) ======= Acts 9:38 ============ Act 9:38 And forasmuch as Lydda was nigh to Joppa, and the disciples had heard that Peter was there, they sent unto him two men, desiring him that he would not delay to come to them.(KJV-1611) Act 9:38 Lavil Jope pa t' twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l' avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou.(Creole-HT) ======= Acts 9:39 ============ Act 9:39 Then Peter arose and went with them. When he was come, they brought him into the upper chamber: and all the widows stood by him weeping, and shewing the coats and garments which Dorcas made, while she was with them.(KJV-1611) Act 9:39 Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.(Creole-HT) ======= Acts 9:40 ============ Act 9:40 But Peter put them all forth, and kneeled down, and prayed; and turning him to the body said, Tabitha, arise. And she opened her eyes: and when she saw Peter, she sat up.(KJV-1611) Act 9:40 Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita.(Creole-HT) ======= Acts 9:41 ============ Act 9:41 And he gave her his hand, and lifted her up, and when he had called the saints and widows, presented her alive.(KJV-1611) Act 9:41 Pyè lonje men l' ba li, li fè l' leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan.(Creole-HT) ======= Acts 9:42 ============ Act 9:42 And it was known throughout all Joppa; and many believed in the Lord.(KJV-1611) Act 9:42 Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 9:43 ============ Act 9:43 And it came to pass, that he tarried many days in Joppa with one Simon a tanner.(KJV-1611) Act 9:43 Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.(Creole-HT) ======= Acts 10:1 ============ Act 10:1 There was a certain man in Caesarea called Cornelius, a centurion of the band called the Italian band,(KJV-1611) Act 10:1 Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an.(Creole-HT) ======= Acts 10:2 ============ Act 10:2 A devout man, and one that feared God with all his house, which gave much alms to the people, and prayed to God alway.(KJV-1611) Act 10:2 Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 10:3 ============ Act 10:3 He saw in a vision evidently about the ninth hour of the day an angel of God coming in to him, and saying unto him, Cornelius.(KJV-1611) Act 10:3 Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy!(Creole-HT) ======= Acts 10:4 ============ Act 10:4 And when he looked on him, he was afraid, and said, What is it, Lord? And he said unto him, Thy prayers and thine alms are come up for a memorial before God.(KJV-1611) Act 10:4 Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.(Creole-HT) ======= Acts 10:5 ============ Act 10:5 And now send men to Joppa, and call for one Simon, whose surname is Peter:(KJV-1611) Act 10:5 Koulye a, voye moun lavil Jope, fè y' al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè).(Creole-HT) ======= Acts 10:6 ============ Act 10:6 He lodgeth with one Simon a tanner, whose house is by the sea side: he shall tell thee what thou oughtest to do.(KJV-1611) Act 10:6 Li fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Acts 10:7 ============ Act 10:7 And when the angel which spake unto Cornelius was departed, he called two of his household servants, and a devout soldier of them that waited on him continually;(KJV-1611) Act 10:7 Fini zanj Bondye a fin pale, li ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l' ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou.(Creole-HT) ======= Acts 10:8 ============ Act 10:8 And when he had declared all these things unto them, he sent them to Joppa.(KJV-1611) Act 10:8 Li rakonte yo tou sak te pase. Lèfini, li voye yo Jope.(Creole-HT) ======= Acts 10:9 ============ Act 10:9 On the morrow, as they went on their journey, and drew nigh unto the city, Peter went up upon the housetop to pray about the sixth hour:(KJV-1611) Act 10:9 Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou li al lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 10:10 ============ Act 10:10 And he became very hungry, and would have eaten: but while they made ready, he fell into a trance,(KJV-1611) Act 10:10 Grangou bare l', li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon:(Creole-HT) ======= Acts 10:11 ============ Act 10:11 And saw heaven opened, and a certain vessel descending upon him, as it had been a great sheet knit at the four corners, and let down to the earth:(KJV-1611) Act 10:11 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann soti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè.(Creole-HT) ======= Acts 10:12 ============ Act 10:12 Wherein were all manner of fourfooted beasts of the earth, and wild beasts, and creeping things, and fowls of the air.(KJV-1611) Act 10:12 Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwezo ladan li.(Creole-HT) ======= Acts 10:13 ============ Act 10:13 And there came a voice to him, Rise, Peter; kill, and eat.(KJV-1611) Act 10:13 Li tande yon vwa ki di l' konsa: Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje.(Creole-HT) ======= Acts 10:14 ============ Act 10:14 But Peter said, Not so, Lord; for I have never eaten any thing that is common or unclean.(KJV-1611) Act 10:14 Men, Pyè di: Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 10:15 ============ Act 10:15 And the voice spake unto him again the second time, What God hath cleansed, that call not thou common.(KJV-1611) Act 10:15 Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon.(Creole-HT) ======= Acts 10:16 ============ Act 10:16 This was done thrice: and the vessel was received up again into heaven.(KJV-1611) Act 10:16 An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la.(Creole-HT) ======= Acts 10:17 ============ Act 10:17 Now while Peter doubted in himself what this vision which he had seen should mean, behold, the men which were sent from Cornelius had made enquiry for Simon's house, and stood before the gate,(KJV-1611) Act 10:17 Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la.(Creole-HT) ======= Acts 10:18 ============ Act 10:18 And called, and asked whether Simon, which was surnamed Peter, were lodged there.(KJV-1611) Act 10:18 Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li?(Creole-HT) ======= Acts 10:19 ============ Act 10:19 While Peter thought on the vision, the Spirit said unto him, Behold, three men seek thee.(KJV-1611) Act 10:19 Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l' te bay vizyon an, lè Sentespri di li: Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou.(Creole-HT) ======= Acts 10:20 ============ Act 10:20 Arise therefore, and get thee down, and go with them, doubting nothing: for I have sent them.(KJV-1611) Act 10:20 Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo.(Creole-HT) ======= Acts 10:21 ============ Act 10:21 Then Peter went down to the men which were sent unto him from Cornelius; and said, Behold, I am he whom ye seek: what is the cause wherefore ye are come?(KJV-1611) Act 10:21 Pyè desann, li al jwenn mesye yo, epi l' di yo: Se mwen menm n'ap chache a. Kisak mennen nou isit la?(Creole-HT) ======= Acts 10:22 ============ Act 10:22 And they said, Cornelius the centurion, a just man, and one that feareth God, and of good report among all the nation of the Jews, was warned from God by an holy angel to send for thee into his house, and to hear words of thee.(KJV-1611) Act 10:22 Yo reponn: Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l' anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l' pou l' te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l' la.(Creole-HT) ======= Acts 10:23 ============ Act 10:23 Then called he them in, and lodged them. And on the morrow Peter went away with them, and certain brethren from Joppa accompanied him.(KJV-1611) Act 10:23 Pyè fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l' tou.(Creole-HT) ======= Acts 10:24 ============ Act 10:24 And the morrow after they entered into Caesarea. And Cornelius waited for them, and he had called together his kinsmen and near friends.(KJV-1611) Act 10:24 Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l' ansanm ak kèk bon zanmi l' li te envite lakay li.(Creole-HT) ======= Acts 10:25 ============ Act 10:25 And as Peter was coming in, Cornelius met him, and fell down at his feet, and worshipped him.(KJV-1611) Act 10:25 Pyè fè sa pou l' antre, Kònèy kouri vin devan l', li lage kò l' nan pye l', li bese tèt li byen ba devan li.(Creole-HT) ======= Acts 10:26 ============ Act 10:26 But Peter took him up, saying, Stand up; I myself also am a man.(KJV-1611) Act 10:26 Men, Pyè fè l' leve, li di l' konsa: Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou.(Creole-HT) ======= Acts 10:27 ============ Act 10:27 And as he talked with him, he went in, and found many that were come together.(KJV-1611) Act 10:27 Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble.(Creole-HT) ======= Acts 10:28 ============ Act 10:28 And he said unto them, Ye know how that it is an unlawful thing for a man that is a Jew to keep company, or come unto one of another nation; but God hath shewed me that I should not call any man common or unclean.(KJV-1611) Act 10:28 Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 10:29 ============ Act 10:29 Therefore came I unto you without gainsaying, as soon as I was sent for: I ask therefore for what intent ye have sent for me?(KJV-1611) Act 10:29 Se poutèt sa, voye ou voye rele m' lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Koulye a, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m' lan.(Creole-HT) ======= Acts 10:30 ============ Act 10:30 And Cornelius said, Four days ago I was fasting until this hour; and at the ninth hour I prayed in my house, and, behold, a man stood before me in bright clothing,(KJV-1611) Act 10:30 Kònèy di li: Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.(Creole-HT) ======= Acts 10:31 ============ Act 10:31 And said, Cornelius, thy prayer is heard, and thine alms are had in remembrance in the sight of God.(KJV-1611) Act 10:31 Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.(Creole-HT) ======= Acts 10:32 ============ Act 10:32 Send therefore to Joppa, and call hither Simon, whose surname is Peter; he is lodged in the house of one Simon a tanner by the sea side: who, when he cometh, shall speak unto thee.(KJV-1611) Act 10:32 Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye.(Creole-HT) ======= Acts 10:33 ============ Act 10:33 Immediately therefore I sent to thee; and thou hast well done that thou art come. Now therefore are we all here present before God, to hear all things that are commanded thee of God.(KJV-1611) Act 10:33 Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Koulye a, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou.(Creole-HT) ======= Acts 10:34 ============ Act 10:34 Then Peter opened his mouth, and said, Of a truth I perceive that God is no respecter of persons:(KJV-1611) Act 10:34 Pyè pran lapawòl, li di: Wi, koulye a, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= Acts 10:35 ============ Act 10:35 But in every nation he that feareth him, and worketh righteousness, is accepted with him.(KJV-1611) Act 10:35 Li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li.(Creole-HT) ======= Acts 10:36 ============ Act 10:36 The word which God sent unto the children of Israel, preaching peace by Jesus Christ: (he is Lord of all:)(KJV-1611) Act 10:36 Nou konnen mesaj Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bon nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze.(Creole-HT) ======= Acts 10:37 ============ Act 10:37 That word, I say, ye know, which was published throughout all Judaea, and began from Galilee, after the baptism which John preached;(KJV-1611) Act 10:37 Nou konnen sak te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo kòmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a.(Creole-HT) ======= Acts 10:38 ============ Act 10:38 How God anointed Jesus of Nazareth with the Holy Ghost and with power: who went about doing good, and healing all that were oppressed of the devil; for God was with him.(KJV-1611) Act 10:38 Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l' sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.(Creole-HT) ======= Acts 10:39 ============ Act 10:39 And we are witnesses of all things which he did both in the land of the Jews, and in Jerusalem; whom they slew and hanged on a tree:(KJV-1611) Act 10:39 Nou menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l', yo te kloure l' sou kwa a.(Creole-HT) ======= Acts 10:40 ============ Act 10:40 Him God raised up the third day, and shewed him openly;(KJV-1611) Act 10:40 Men sou twa jou, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan.(Creole-HT) ======= Acts 10:41 ============ Act 10:41 Not to all the people, but unto witnesses chosen before God, even to us, who did eat and drink with him after he rose from the dead.(KJV-1611) Act 10:41 Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l' temwen. Wi, nou manje avè l', nou bwè avè l' apre Bondye te fè l' tounen vivan soti nan lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 10:42 ============ Act 10:42 And he commanded us to preach unto the people, and to testify that it is he which was ordained of God to be the Judge of quick and dead.(KJV-1611) Act 10:42 Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.(Creole-HT) ======= Acts 10:43 ============ Act 10:43 To him give all the prophets witness, that through his name whosoever believeth in him shall receive remission of sins.(KJV-1611) Act 10:43 Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.(Creole-HT) ======= Acts 10:44 ============ Act 10:44 While Peter yet spake these words, the Holy Ghost fell on all them which heard the word.(KJV-1611) Act 10:44 Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesaj la.(Creole-HT) ======= Acts 10:45 ============ Act 10:45 And they of the circumcision which believed were astonished, as many as came with Peter, because that on the Gentiles also was poured out the gift of the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 10:45 Frè ki te soti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l' an kantite.(Creole-HT) ======= Acts 10:46 ============ Act 10:46 For they heard them speak with tongues, and magnify God. Then answered Peter,(KJV-1611) Act 10:46 Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di:(Creole-HT) ======= Acts 10:47 ============ Act 10:47 Can any man forbid water, that these should not be baptized, which have received the Holy Ghost as well as we?(KJV-1611) Act 10:47 Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Koulye a, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou?(Creole-HT) ======= Acts 10:48 ============ Act 10:48 And he commanded them to be baptized in the name of the Lord. Then prayed they him to tarry certain days.(KJV-1611) Act 10:48 Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l' rete pase kèk jou avèk yo.(Creole-HT) ======= Acts 11:1 ============ Act 11:1 And the apostles and brethren that were in Judaea heard that the Gentiles had also received the word of God.(KJV-1611) Act 11:1 Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.(Creole-HT) ======= Acts 11:2 ============ Act 11:2 And when Peter was come up to Jerusalem, they that were of the circumcision contended with him,(KJV-1611) Act 11:2 Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li.(Creole-HT) ======= Acts 11:3 ============ Act 11:3 Saying, Thou wentest in to men uncircumcised, and didst eat with them.(KJV-1611) Act 11:3 Yo di l' konsa: Apa ou antre lakay moun ki pa sikonsi, ou manje ak yo?(Creole-HT) ======= Acts 11:4 ============ Act 11:4 But Peter rehearsed the matter from the beginning, and expounded it by order unto them, saying,(KJV-1611) Act 11:4 Lè sa a, Pyè rakonte yo sak te pase nan tout ti detay. Li di yo:(Creole-HT) ======= Acts 11:5 ============ Act 11:5 I was in the city of Joppa praying: and in a trance I saw a vision, A certain vessel descend, as it had been a great sheet, let down from heaven by four corners; and it came even to me:(KJV-1611) Act 11:5 Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m' fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen.(Creole-HT) ======= Acts 11:6 ============ Act 11:6 Upon the which when I had fastened mine eyes, I considered, and saw fourfooted beasts of the earth, and wild beasts, and creeping things, and fowls of the air.(KJV-1611) Act 11:6 Lè m' gade byen gade, mwen wè tout kalite bèt andedan li: bèt kat pat, bèt nan bwa, bèt ki trennen sou vant ak zwezo.(Creole-HT) ======= Acts 11:7 ============ Act 11:7 And I heard a voice saying unto me, Arise, Peter; slay and eat.(KJV-1611) Act 11:7 Epi m' tande yon vwa ki di m' konsa: Leve non, Pyè, touye, manje.(Creole-HT) ======= Acts 11:8 ============ Act 11:8 But I said, Not so, Lord: for nothing common or unclean hath at any time entered into my mouth.(KJV-1611) Act 11:8 Men mwen di: Non, Mèt. Mwen pa janm mete move manje osinon manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Acts 11:9 ============ Act 11:9 But the voice answered me again from heaven, What God hath cleansed, that call not thou common.(KJV-1611) Act 11:9 Menm vwa a pale ankò nan syèl la, li di mwen konsa: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', pa di l' pa bon pou yo.(Creole-HT) ======= Acts 11:10 ============ Act 11:10 And this was done three times: and all were drawn up again into heaven.(KJV-1611) Act 11:10 An twa fwa sa repete. Epi bagay la moute tounen nan syèl la.(Creole-HT) ======= Acts 11:11 ============ Act 11:11 And, behold, immediately there were three men already come unto the house where I was, sent from Caesarea unto me.(KJV-1611) Act 11:11 Menm lè a, twa moun ki te soti Sezare vin rive nan kay kote m' te ye a. Yo te voye yo chache mwen.(Creole-HT) ======= Acts 11:12 ============ Act 11:12 And the Spirit bade me go with them, nothing doubting. Moreover these six brethren accompanied me, and we entered into the man's house:(KJV-1611) Act 11:12 Lespri a di m' pati ak yo san rete ap kalkile. Sis frè sa yo te al ansanm avè m' tou Sezare. Nou tout nou antre lakay Kònèy.(Creole-HT) ======= Acts 11:13 ============ Act 11:13 And he shewed us how he had seen an angel in his house, which stood and said unto him, Send men to Joppa, and call for Simon, whose surname is Peter;(KJV-1611) Act 11:13 Kònèy rakonte nou ki jan l' te wè yon zanj Bondye kanpe nan mitan lakay li. Zanj lan di li: Voye yon moun lavil Jope al rele Simon (ki gen yon ti non Pyè).(Creole-HT) ======= Acts 11:14 ============ Act 11:14 Who shall tell thee words, whereby thou and all thy house shall be saved.(KJV-1611) Act 11:14 Simon sa a va di ou pawòl ki pou sove ou ansanm ak tout fanmi ou.(Creole-HT) ======= Acts 11:15 ============ Act 11:15 And as I began to speak, the Holy Ghost fell on them, as on us at the beginning.(KJV-1611) Act 11:15 Mwen te kòmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a.(Creole-HT) ======= Acts 11:16 ============ Act 11:16 Then remembered I the word of the Lord, how that he said, John indeed baptized with water; but ye shall be baptized with the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 11:16 Lè sa a, mwen vin chonje sa Seyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n' resevwa batèm nan Sentespri a.(Creole-HT) ======= Acts 11:17 ============ Act 11:17 Forasmuch then as God gave them the like gift as he did unto us, who believed on the Lord Jesus Christ; what was I, that I could withstand God?(KJV-1611) Act 11:17 Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye?(Creole-HT) ======= Acts 11:18 ============ Act 11:18 When they heard these things, they held their peace, and glorified God, saying, Then hath God also to the Gentiles granted repentance unto life.(KJV-1611) Act 11:18 Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.(Creole-HT) ======= Acts 11:19 ============ Act 11:19 Now they which were scattered abroad upon the persecution that arose about Stephen travelled as far as Phenice, and Cyprus, and Antioch, preaching the word to none but unto the Jews only.(KJV-1611) Act 11:19 Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Gen en ki te al jouk nan peyi Finisi, nan lil Chip, ak lavil Antiòch. Men, yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman.(Creole-HT) ======= Acts 11:20 ============ Act 11:20 And some of them were men of Cyprus and Cyrene, which, when they were come to Antioch, spake unto the Grecians, preaching the LORD Jesus.(KJV-1611) Act 11:20 Lè sa a, kèk disip ki te moun Chip ak moun Sirèn al lavil Antiòch. Antan yo la a, yo pale ak moun Lagrès yo; yo fè yo konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 11:21 ============ Act 11:21 And the hand of the Lord was with them: and a great number believed, and turned unto the Lord.(KJV-1611) Act 11:21 Pouvwa Bondye te avèk yo; anpil nan moun Lagrès yo rive kwè, yo te tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 11:22 ============ Act 11:22 Then tidings of these things came unto the ears of the church which was in Jerusalem: and they sent forth Barnabas, that he should go as far as Antioch.(KJV-1611) Act 11:22 Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch.(Creole-HT) ======= Acts 11:23 ============ Act 11:23 Who, when he came, and had seen the grace of God, was glad, and exhorted them all, that with purpose of heart they would cleave unto the Lord.(KJV-1611) Act 11:23 Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.(Creole-HT) ======= Acts 11:24 ============ Act 11:24 For he was a good man, and full of the Holy Ghost and of faith: and much people was added unto the Lord.(KJV-1611) Act 11:24 Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l' anba pouvwa l' tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 11:25 ============ Act 11:25 Then departed Barnabas to Tarsus, for to seek Saul:(KJV-1611) Act 11:25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, li al chache Sòl.(Creole-HT) ======= Acts 11:26 ============ Act 11:26 And when he had found him, he brought him unto Antioch. And it came to pass, that a whole year they assembled themselves with the church, and taught much people. And the disciples were called Christians first in Antioch.(KJV-1611) Act 11:26 Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.(Creole-HT) ======= Acts 11:27 ============ Act 11:27 And in these days came prophets from Jerusalem unto Antioch.(KJV-1611) Act 11:27 Lè sa a, kèk pwofèt soti Jerizalèm rive Antiòch.(Creole-HT) ======= Acts 11:28 ============ Act 11:28 And there stood up one of them named Agabus, and signified by the Spirit that there should be great dearth throughout all the world: which came to pass in the days of Claudius Caesar.(KJV-1611) Act 11:28 Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.)(Creole-HT) ======= Acts 11:29 ============ Act 11:29 Then the disciples, every man according to his ability, determined to send relief unto the brethren which dwelt in Judaea:(KJV-1611) Act 11:29 Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide.(Creole-HT) ======= Acts 11:30 ============ Act 11:30 Which also they did, and sent it to the elders by the hands of Barnabas and Saul.(KJV-1611) Act 11:30 Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide.(Creole-HT) ======= Acts 12:1 ============ Act 12:1 Now about that time Herod the king stretched forth his hands to vex certain of the church.(KJV-1611) Act 12:1 Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la.(Creole-HT) ======= Acts 12:2 ============ Act 12:2 And he killed James the brother of John with the sword.(KJV-1611) Act 12:2 Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.(Creole-HT) ======= Acts 12:3 ============ Act 12:3 And because he saw it pleased the Jews, he proceeded further to take Peter also. (Then were the days of unleavened bread.)(KJV-1611) Act 12:3 Lè l' wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an.(Creole-HT) ======= Acts 12:4 ============ Act 12:4 And when he had apprehended him, he put him in prison, and delivered him to four quaternions of soldiers to keep him; intending after Easter to bring him forth to the people.(KJV-1611) Act 12:4 Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l' nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l' te mennen l' devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 12:5 ============ Act 12:5 Peter therefore was kept in prison: but prayer was made without ceasing of the church unto God for him.(KJV-1611) Act 12:5 Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.(Creole-HT) ======= Acts 12:6 ============ Act 12:6 And when Herod would have brought him forth, the same night Peter was sleeping between two soldiers, bound with two chains: and the keepers before the door kept the prison.(KJV-1611) Act 12:6 Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an.(Creole-HT) ======= Acts 12:7 ============ Act 12:7 And, behold, the angel of the Lord came upon him, and a light shined in the prison: and he smote Peter on the side, and raised him up, saying, Arise up quickly. And his chains fell off from his hands.(KJV-1611) Act 12:7 Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l', li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l' yo tonbe.(Creole-HT) ======= Acts 12:8 ============ Act 12:8 And the angel said unto him, Gird thyself, and bind on thy sandals. And so he did. And he saith unto him, Cast thy garment about thee, and follow me.(KJV-1611) Act 12:8 Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l' ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.(Creole-HT) ======= Acts 12:9 ============ Act 12:9 And he went out, and followed him; and wist not that it was true which was done by the angel; but thought he saw a vision.(KJV-1611) Act 12:9 Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t' kwè sa zanj Bondye a t'ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l' t'ap reve.(Creole-HT) ======= Acts 12:10 ============ Act 12:10 When they were past the first and the second ward, they came unto the iron gate that leadeth unto the city; which opened to them of his own accord: and they went out, and passed on through one street; and forthwith the angel departed from him.(KJV-1611) Act 12:10 Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.(Creole-HT) ======= Acts 12:11 ============ Act 12:11 And when Peter was come to himself, he said, Now I know of a surety, that the LORD hath sent his angel, and hath delivered me out of the hand of Herod, and from all the expectation of the people of the Jews.(KJV-1611) Act 12:11 Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.(Creole-HT) ======= Acts 12:12 ============ Act 12:12 And when he had considered the thing, he came to the house of Mary the mother of John, whose surname was Mark; where many were gathered together praying.(KJV-1611) Act 12:12 Lè l' vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 12:13 ============ Act 12:13 And as Peter knocked at the door of the gate, a damsel came to hearken, named Rhoda.(KJV-1611) Act 12:13 Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn.(Creole-HT) ======= Acts 12:14 ============ Act 12:14 And when she knew Peter's voice, she opened not the gate for gladness, but ran in, and told how Peter stood before the gate.(KJV-1611) Act 12:14 Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi.(Creole-HT) ======= Acts 12:15 ============ Act 12:15 And they said unto her, Thou art mad. But she constantly affirmed that it was even so. Then said they, It is his angel.(KJV-1611) Act 12:15 Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l' te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li.(Creole-HT) ======= Acts 12:16 ============ Act 12:16 But Peter continued knocking: and when they had opened the door, and saw him, they were astonished.(KJV-1611) Act 12:16 Men, Pyè t'ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l', yo pa t' manke sezi.(Creole-HT) ======= Acts 12:17 ============ Act 12:17 But he, beckoning unto them with the hand to hold their peace, declared unto them how the Lord had brought him out of the prison. And he said, Go shew these things unto James, and to the brethren. And he departed, and went into another place.(KJV-1611) Act 12:17 Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote.(Creole-HT) ======= Acts 12:18 ============ Act 12:18 Now as soon as it was day, there was no small stir among the soldiers, what was become of Peter.(KJV-1611) Act 12:18 Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase.(Creole-HT) ======= Acts 12:19 ============ Act 12:19 And when Herod had sought for him, and found him not, he examined the keepers, and commanded that they should be put to death. And he went down from Judaea to Caesarea, and there abode.(KJV-1611) Act 12:19 Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan.(Creole-HT) ======= Acts 12:20 ============ Act 12:20 And Herod was highly displeased with them of Tyre and Sidon: but they came with one accord to him, and, having made Blastus the king's chamberlain their friend, desired peace; because their country was nourished by the king's country.(KJV-1611) Act 12:20 Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon.(Creole-HT) ======= Acts 12:21 ============ Act 12:21 And upon a set day Herod, arrayed in royal apparel, sat upon his throne, and made an oration unto them.(KJV-1611) Act 12:21 Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l' ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l' fè yon diskou ba yo.(Creole-HT) ======= Acts 12:22 ============ Act 12:22 And the people gave a shout, saying, It is the voice of a god, and not of a man.(KJV-1611) Act 12:22 Pèp la pran rele: Se pa yon moun k'ap pale la a, se yon bondye.(Creole-HT) ======= Acts 12:23 ============ Act 12:23 And immediately the angel of the Lord smote him, because he gave not God the glory: and he was eaten of worms, and gave up the ghost.(KJV-1611) Act 12:23 Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.(Creole-HT) ======= Acts 12:24 ============ Act 12:24 But the word of God grew and multiplied.(KJV-1611) Act 12:24 Pawòl Bondye a menm t'ap gaye plis toujou, li t'ap fè anpil avans.(Creole-HT) ======= Acts 12:25 ============ Act 12:25 And Barnabas and Saul returned from Jerusalem, when they had fulfilled their ministry, and took with them John, whose surname was Mark.(KJV-1611) Act 12:25 Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.(Creole-HT) ======= Acts 13:1 ============ Act 13:1 Now there were in the church that was at Antioch certain prophets and teachers; as Barnabas, and Simeon that was called Niger, and Lucius of Cyrene, and Manaen, which had been brought up with Herod the tetrarch, and Saul.(KJV-1611) Act 13:1 Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.(Creole-HT) ======= Acts 13:2 ============ Act 13:2 As they ministered to the Lord, and fasted, the Holy Ghost said, Separate me Barnabas and Saul for the work whereunto I have called them.(KJV-1611) Act 13:2 Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.(Creole-HT) ======= Acts 13:3 ============ Act 13:3 And when they had fasted and prayed, and laid their hands on them, they sent them away.(KJV-1611) Act 13:3 Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.(Creole-HT) ======= Acts 13:4 ============ Act 13:4 So they, being sent forth by the Holy Ghost, departed unto Seleucia; and from thence they sailed to Cyprus.(KJV-1611) Act 13:4 Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.(Creole-HT) ======= Acts 13:5 ============ Act 13:5 And when they were at Salamis, they preached the word of God in the synagogues of the Jews: and they had also John to their minister.(KJV-1611) Act 13:5 Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.(Creole-HT) ======= Acts 13:6 ============ Act 13:6 And when they had gone through the isle unto Paphos, they found a certain sorcerer, a false prophet, a Jew, whose name was Barjesus:(KJV-1611) Act 13:6 Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li.(Creole-HT) ======= Acts 13:7 ============ Act 13:7 Which was with the deputy of the country, Sergius Paulus, a prudent man; who called for Barnabas and Saul, and desired to hear the word of God.(KJV-1611) Act 13:7 Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 13:8 ============ Act 13:8 But Elymas the sorcerer (for so is his name by interpretation) withstood them, seeking to turn away the deputy from the faith.(KJV-1611) Act 13:8 Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè.(Creole-HT) ======= Acts 13:9 ============ Act 13:9 Then Saul, (who also is called Paul,) filled with the Holy Ghost, set his eyes on him.(KJV-1611) Act 13:9 Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an,(Creole-HT) ======= Acts 13:10 ============ Act 13:10 And said, O full of all subtilty and all mischief, thou child of the devil, thou enemy of all righteousness, wilt thou not cease to pervert the right ways of the Lord?(KJV-1611) Act 13:10 li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè?(Creole-HT) ======= Acts 13:11 ============ Act 13:11 And now, behold, the hand of the Lord is upon thee, and thou shalt be blind, not seeing the sun for a season. And immediately there fell on him a mist and a darkness; and he went about seeking some to lead him by the hand.(KJV-1611) Act 13:11 Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li.(Creole-HT) ======= Acts 13:12 ============ Act 13:12 Then the deputy, when he saw what was done, believed, being astonished at the doctrine of the Lord.(KJV-1611) Act 13:12 Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 13:13 ============ Act 13:13 Now when Paul and his company loosed from Paphos, they came to Perga in Pamphylia: and John departing from them returned to Jerusalem.(KJV-1611) Act 13:13 Pòl ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y' al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 13:14 ============ Act 13:14 But when they departed from Perga, they came to Antioch in Pisidia, and went into the synagogue on the sabbath day, and sat down.(KJV-1611) Act 13:14 Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive lavil Antiòch nan peyi Pisidi. Jou repo a, yo antre nan sinagòg la, yo chita.(Creole-HT) ======= Acts 13:15 ============ Act 13:15 And after the reading of the law and the prophets the rulers of the synagogue sent unto them, saying, Ye men and brethren, if ye have any word of exhortation for the people, say on.(KJV-1611) Act 13:15 Apre moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo: Frè m' yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale koulye a.(Creole-HT) ======= Acts 13:16 ============ Act 13:16 Then Paul stood up, and beckoning with his hand said, Men of Israel, and ye that fear God, give audience.(KJV-1611) Act 13:16 Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l', epi li di: Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen.(Creole-HT) ======= Acts 13:17 ============ Act 13:17 The God of this people of Israel chose our fathers, and exalted the people when they dwelt as strangers in the land of Egypt, and with an high arm brought he them out of it.(KJV-1611) Act 13:17 Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi a.(Creole-HT) ======= Acts 13:18 ============ Act 13:18 And about the time of forty years suffered he their manners in the wilderness.(KJV-1611) Act 13:18 Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a.(Creole-HT) ======= Acts 13:19 ============ Act 13:19 And when he had destroyed seven nations in the land of Chanaan, he divided their land to them by lot.(KJV-1611) Act 13:19 Li detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo,(Creole-HT) ======= Acts 13:20 ============ Act 13:20 And after that he gave unto them judges about the space of four hundred and fifty years, until Samuel the prophet.(KJV-1611) Act 13:20 pou katsansenkant lanne. Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl.(Creole-HT) ======= Acts 13:21 ============ Act 13:21 And afterward they desired a king: and God gave unto them Saul the son of Cis, a man of the tribe of Benjamin, by the space of forty years.(KJV-1611) Act 13:21 Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan.(Creole-HT) ======= Acts 13:22 ============ Act 13:22 And when he had removed him, he raised up unto them David to be their king; to whom also he gave their testimony, and said, I have found David the son of Jesse, a man after mine own heart, which shall fulfil all my will.(KJV-1611) Act 13:22 Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m' plezi. Li va fè tou sa m' vle l' fè.(Creole-HT) ======= Acts 13:23 ============ Act 13:23 Of this man's seed hath God according to his promise raised unto Israel a Saviour, Jesus:(KJV-1611) Act 13:23 Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l' te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Acts 13:24 ============ Act 13:24 When John had first preached before his coming the baptism of repentance to all the people of Israel.(KJV-1611) Act 13:24 Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesaj sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm.(Creole-HT) ======= Acts 13:25 ============ Act 13:25 And as John fulfilled his course, he said, Whom think ye that I am? I am not he. But, behold, there cometh one after me, whose shoes of his feet I am not worthy to loose.(KJV-1611) Act 13:25 Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l' lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li.(Creole-HT) ======= Acts 13:26 ============ Act 13:26 Men and brethren, children of the stock of Abraham, and whosoever among you feareth God, to you is the word of this salvation sent.(KJV-1611) Act 13:26 Frè m' yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Acts 13:27 ============ Act 13:27 For they that dwell at Jerusalem, and their rulers, because they knew him not, nor yet the voices of the prophets which are read every sabbath day, they have fulfilled them in condemning him.(KJV-1611) Act 13:27 Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 13:28 ============ Act 13:28 And though they found no cause of death in him, yet desired they Pilate that he should be slain.(KJV-1611) Act 13:28 Atout yo pa t' jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l' merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li.(Creole-HT) ======= Acts 13:29 ============ Act 13:29 And when they had fulfilled all that was written of him, they took him down from the tree, and laid him in a sepulchre.(KJV-1611) Act 13:29 Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l' nan yon kavo.(Creole-HT) ======= Acts 13:30 ============ Act 13:30 But God raised him from the dead:(KJV-1611) Act 13:30 Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 13:31 ============ Act 13:31 And he was seen many days of them which came up with him from Galilee to Jerusalem, who are his witnesses unto the people.(KJV-1611) Act 13:31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Acts 13:32 ============ Act 13:32 And we declare unto you glad tidings, how that the promise which was made unto the fathers,(KJV-1611) Act 13:32 Nou menm, nou vin fè nou konnen bon nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo,(Creole-HT) ======= Acts 13:33 ============ Act 13:33 God hath fulfilled the same unto us their children, in that he hath raised up Jesus again; as it is also written in the second psalm, Thou art my Son, this day have I begotten thee.(KJV-1611) Act 13:33 li fè l' pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou.(Creole-HT) ======= Acts 13:34 ============ Act 13:34 And as concerning that he raised him up from the dead, now no more to return to corruption, he said on this wise, I will give you the sure mercies of David.(KJV-1611) Act 13:34 Bondye te fè konnen li t'ap fè l' soti vivan nan lanmò pou l' pa t' janm tounen pouriti ankò. Se sa l' te fè konnen, lè l' te di: M'a ba ou tout benediksyon mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo.(Creole-HT) ======= Acts 13:35 ============ Act 13:35 Wherefore he saith also in another psalm, Thou shalt not suffer thine Holy One to see corruption.(KJV-1611) Act 13:35 Se poutèt sa, yon lòt kote li di konsa: Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.(Creole-HT) ======= Acts 13:36 ============ Act 13:36 For David, after he had served his own generation by the will of God, fell on sleep, and was laid unto his fathers, and saw corruption:(KJV-1611) Act 13:36 Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.(Creole-HT) ======= Acts 13:37 ============ Act 13:37 But he, whom God raised again, saw no corruption.(KJV-1611) Act 13:37 Men, moun Bondye te leve soti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè.(Creole-HT) ======= Acts 13:38 ============ Act 13:38 Be it known unto you therefore, men and brethren, that through this man is preached unto you the forgiveness of sins:(KJV-1611) Act 13:38 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Acts 13:39 ============ Act 13:39 And by him all that believe are justified from all things, from which ye could not be justified by the law of Moses.(KJV-1611) Act 13:39 Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.(Creole-HT) ======= Acts 13:40 ============ Act 13:40 Beware therefore, lest that come upon you, which is spoken of in the prophets;(KJV-1611) Act 13:40 Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:(Creole-HT) ======= Acts 13:41 ============ Act 13:41 Behold, ye despisers, and wonder, and perish: for I work a work in your days, a work which ye shall in no wise believe, though a man declare it unto you.(KJV-1611) Act 13:41 Gade non, nou menm k'ap meprize moun, sezisman pral touye nou. Paske mwen pral fè yon travay koulye a nan mitan nou, bagay nou pa ta kwè, menm si moun ta rakonte nou li.(Creole-HT) ======= Acts 13:42 ============ Act 13:42 And when the Jews were gone out of the synagogue, the Gentiles besought that these words might be preached to them the next sabbath.(KJV-1611) Act 13:42 Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò.(Creole-HT) ======= Acts 13:43 ============ Act 13:43 Now when the congregation was broken up, many of the Jews and religious proselytes followed Paul and Barnabas: who, speaking to them, persuaded them to continue in the grace of God.(KJV-1611) Act 13:43 Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 13:44 ============ Act 13:44 And the next sabbath day came almost the whole city together to hear the word of God.(KJV-1611) Act 13:44 Jou repo ki vin apre a, prèske tout moun nan lavil la te sanble pou tande pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 13:45 ============ Act 13:45 But when the Jews saw the multitudes, they were filled with envy, and spake against those things which were spoken by Paul, contradicting and blaspheming.(KJV-1611) Act 13:45 Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.(Creole-HT) ======= Acts 13:46 ============ Act 13:46 Then Paul and Barnabas waxed bold, and said, It was necessary that the word of God should first have been spoken to you: but seeing ye put it from you, and judge yourselves unworthy of everlasting life, lo, we turn to the Gentiles.(KJV-1611) Act 13:46 Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Acts 13:47 ============ Act 13:47 For so hath the Lord commanded us, saying, I have set thee to be a light of the Gentiles, that thou shouldest be for salvation unto the ends of the earth.(KJV-1611) Act 13:47 Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Acts 13:48 ============ Act 13:48 And when the Gentiles heard this, they were glad, and glorified the word of the Lord: and as many as were ordained to eternal life believed.(KJV-1611) Act 13:48 Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.(Creole-HT) ======= Acts 13:49 ============ Act 13:49 And the word of the Lord was published throughout all the region.(KJV-1611) Act 13:49 Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a.(Creole-HT) ======= Acts 13:50 ============ Act 13:50 But the Jews stirred up the devout and honourable women, and the chief men of the city, and raised persecution against Paul and Barnabas, and expelled them out of their coasts.(KJV-1611) Act 13:50 Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.(Creole-HT) ======= Acts 13:51 ============ Act 13:51 But they shook off the dust of their feet against them, and came unto Iconium.(KJV-1611) Act 13:51 Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm.(Creole-HT) ======= Acts 13:52 ============ Act 13:52 And the disciples were filled with joy, and with the Holy Ghost.(KJV-1611) Act 13:52 Nan Antiòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:1 ============ Act 14:1 And it came to pass in Iconium, that they went both together into the synagogue of the Jews, and so spake, that a great multitude both of the Jews and also of the Greeks believed.(KJV-1611) Act 14:1 Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.(Creole-HT) ======= Acts 14:2 ============ Act 14:2 But the unbelieving Jews stirred up the Gentiles, and made their minds evil affected against the brethren.(KJV-1611) Act 14:2 Men jwif ki pa t' kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.(Creole-HT) ======= Acts 14:3 ============ Act 14:3 Long time therefore abode they speaking boldly in the Lord, which gave testimony unto the word of his grace, and granted signs and wonders to be done by their hands.(KJV-1611) Act 14:3 Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Seyè a. Seyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l' te moutre sa yo t'ap di a te vre.(Creole-HT) ======= Acts 14:4 ============ Act 14:4 But the multitude of the city was divided: and part held with the Jews, and part with the apostles.(KJV-1611) Act 14:4 Nan lavil la moun te fè de kan: yon bò te gen patizan jwif yo, lòt bò a te gen patizan apòt yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:5 ============ Act 14:5 And when there was an assault made both of the Gentiles, and also of the Jews with their rulers, to use them despitefully, and to stone them,(KJV-1611) Act 14:5 Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.(Creole-HT) ======= Acts 14:6 ============ Act 14:6 They were ware of it, and fled unto Lystra and Derbe, cities of Lycaonia, and unto the region that lieth round about:(KJV-1611) Act 14:6 Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:7 ============ Act 14:7 And there they preached the gospel.(KJV-1611) Act 14:7 Yo t'ap anonse bon nouvèl la la tou.(Creole-HT) ======= Acts 14:8 ============ Act 14:8 And there sat a certain man at Lystra, impotent in his feet, being a cripple from his mother's womb, who never had walked:(KJV-1611) Act 14:8 Nan List te gen yon nonm enfim ki te toujou rete chita, paske de pye l' yo te paralize. Li te fèt tou konsa, li pa t' janm mache menm.(Creole-HT) ======= Acts 14:9 ============ Act 14:9 The same heard Paul speak: who stedfastly beholding him, and perceiving that he had faith to be healed,(KJV-1611) Act 14:9 Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l' sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l' te geri.(Creole-HT) ======= Acts 14:10 ============ Act 14:10 Said with a loud voice, Stand upright on thy feet. And he leaped and walked.(KJV-1611) Act 14:10 Pòl pale byen fò, li di: Leve, kanpe dwat sou de pye ou yo! Nonm lan vole kanpe, epi li pran mache.(Creole-HT) ======= Acts 14:11 ============ Act 14:11 And when the people saw what Paul had done, they lifted up their voices, saying in the speech of Lycaonia, The gods are come down to us in the likeness of men.(KJV-1611) Act 14:11 Lè foul moun yo wè sa Pòl te fè a, yo pran rele an likaonyen, lang peyi a: Men bondye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou.(Creole-HT) ======= Acts 14:12 ============ Act 14:12 And they called Barnabas, Jupiter; and Paul, Mercurius, because he was the chief speaker.(KJV-1611) Act 14:12 Yo rele Banabas Zeyis, yo rele Pòl Emès paske se li menm ki t'ap pale.(Creole-HT) ======= Acts 14:13 ============ Act 14:13 Then the priest of Jupiter, which was before their city, brought oxen and garlands unto the gates, and would have done sacrifice with the people.(KJV-1611) Act 14:13 Prèt ki sèvi nan tanp Zeyis ki te bò pòtay lavil la mennen kèk towo bèf ak kolye flè devan pòtay la. Ansanm ak pèp la, yo t'ap pare pou yo te fè ofrann bèt pou yo touye bay Pòl ak Banabas.(Creole-HT) ======= Acts 14:14 ============ Act 14:14 Which when the apostles, Barnabas and Paul, heard of, they rent their clothes, and ran in among the people, crying out,(KJV-1611) Act 14:14 Lè apòt yo tande sa, yo chire rad sou yo, yo kouri nan mitan foul la, yo pale byen fò, yo t'ap di:(Creole-HT) ======= Acts 14:15 ============ Act 14:15 And saying, Sirs, why do ye these things? We also are men of like passions with you, and preach unto you that ye should turn from these vanities unto the living God, which made heaven, and earth, and the sea, and all things that are therein:(KJV-1611) Act 14:15 Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:16 ============ Act 14:16 Who in times past suffered all nations to walk in their own ways.(KJV-1611) Act 14:16 Nan tan lontan, li te kite tout nasyon swiv chemen pa yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:17 ============ Act 14:17 Nevertheless he left not himself without witness, in that he did good, and gave us rain from heaven, and fruitful seasons, filling our hearts with food and gladness.(KJV-1611) Act 14:17 Men, li te toujou ap fè yo konnen ki moun li ye, li te fè anpil byen pou yo: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon rekòt. Li ban nou manje an kantite, epi li fè kè nou kontan anpil.(Creole-HT) ======= Acts 14:18 ============ Act 14:18 And with these sayings scarce restrained they the people, that they had not done sacrifice unto them.(KJV-1611) Act 14:18 Menm avèk tout pawòl sa yo, se pa t' ti traka anvan apòt yo te resi rive anpeche moun yo fè ofrann bèt yo.(Creole-HT) ======= Acts 14:19 ============ Act 14:19 And there came thither certain Jews from Antioch and Iconium, who persuaded the people, and having stoned Paul, drew him out of the city, supposing he had been dead.(KJV-1611) Act 14:19 Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.(Creole-HT) ======= Acts 14:20 ============ Act 14:20 Howbeit, as the disciples stood round about him, he rose up, and came into the city: and the next day he departed with Barnabas to Derbe.(KJV-1611) Act 14:20 Men, lè disip yo vin sanble bò kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y' al lavil Dèb.(Creole-HT) ======= Acts 14:21 ============ Act 14:21 And when they had preached the gospel to that city, and had taught many, they returned again to Lystra, and to Iconium, and Antioch,(KJV-1611) Act 14:21 Pòl ak Banabas anonse bon nouvèl la nan lavil Dèb. Yo te fè anpil disip la. Apre sa, yo tounen, yo pase List, Ikoniòm, Antiòch (ki nan peyi Pisidi).(Creole-HT) ======= Acts 14:22 ============ Act 14:22 Confirming the souls of the disciples, and exhorting them to continue in the faith, and that we must through much tribulation enter into the kingdom of God.(KJV-1611) Act 14:22 Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.(Creole-HT) ======= Acts 14:23 ============ Act 14:23 And when they had ordained them elders in every church, and had prayed with fasting, they commended them to the Lord, on whom they believed.(KJV-1611) Act 14:23 Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Seyè ki te gen tout konfyans yo a.(Creole-HT) ======= Acts 14:24 ============ Act 14:24 And after they had passed throughout Pisidia, they came to Pamphylia.(KJV-1611) Act 14:24 Yo travèse peyi Pisidi, yo rive nan Panfili.(Creole-HT) ======= Acts 14:25 ============ Act 14:25 And when they had preached the word in Perga, they went down into Attalia:(KJV-1611) Act 14:25 Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali.(Creole-HT) ======= Acts 14:26 ============ Act 14:26 And thence sailed to Antioch, from whence they had been recommended to the grace of God for the work which they fulfilled.(KJV-1611) Act 14:26 Antan yo la, yo pran batiman pou Antiòch. Se la nan menm Antiòch sa a yo te renmèt yo nan men Bondye ki te ba yo favè l' pou yo te al fè tout travay yo sot fè a.(Creole-HT) ======= Acts 14:27 ============ Act 14:27 And when they were come, and had gathered the church together, they rehearsed all that God had done with them, and how he had opened the door of faith unto the Gentiles.(KJV-1611) Act 14:27 Lè yo rive Antiòch, yo reyini legliz la, yo rakonte tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li, ki jan li te louvri pòt pou moun ki pa jwif yo kapab kwè tou.(Creole-HT) ======= Acts 14:28 ============ Act 14:28 And there they abode long time with the disciples.(KJV-1611) Act 14:28 Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antiòch yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:1 ============ Act 15:1 And certain men which came down from Judaea taught the brethren, and said, Except ye be circumcised after the manner of Moses, ye cannot be saved.(KJV-1611) Act 15:1 Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la.(Creole-HT) ======= Acts 15:2 ============ Act 15:2 When therefore Paul and Barnabas had no small dissension and disputation with them, they determined that Paul and Barnabas, and certain other of them, should go up to Jerusalem unto the apostles and elders about this question.(KJV-1611) Act 15:2 Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:3 ============ Act 15:3 And being brought on their way by the church, they passed through Phenice and Samaria, declaring the conversion of the Gentiles: and they caused great joy unto all the brethren.(KJV-1611) Act 15:3 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa.(Creole-HT) ======= Acts 15:4 ============ Act 15:4 And when they were come to Jerusalem, they were received of the church, and of the apostles and elders, and they declared all things that God had done with them.(KJV-1611) Act 15:4 Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li.(Creole-HT) ======= Acts 15:5 ============ Act 15:5 But there rose up certain of the sect of the Pharisees which believed, saying, That it was needful to circumcise them, and to command them to keep the law of Moses.(KJV-1611) Act 15:5 Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: Se pou n' sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n' mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou.(Creole-HT) ======= Acts 15:6 ============ Act 15:6 And the apostles and elders came together for to consider of this matter.(KJV-1611) Act 15:6 Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen keksyon an.(Creole-HT) ======= Acts 15:7 ============ Act 15:7 And when there had been much disputing, Peter rose up, and said unto them, Men and brethren, ye know how that a good while ago God made choice among us, that the Gentiles by my mouth should hear the word of the gospel, and believe.(KJV-1611) Act 15:7 Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 15:8 ============ Act 15:8 And God, which knoweth the hearts, bare them witness, giving them the Holy Ghost, even as he did unto us;(KJV-1611) Act 15:8 Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.(Creole-HT) ======= Acts 15:9 ============ Act 15:9 And put no difference between us and them, purifying their hearts by faith.(KJV-1611) Act 15:9 Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.(Creole-HT) ======= Acts 15:10 ============ Act 15:10 Now therefore why tempt ye God, to put a yoke upon the neck of the disciples, which neither our fathers nor we were able to bear?(KJV-1611) Act 15:10 Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote?(Creole-HT) ======= Acts 15:11 ============ Act 15:11 But we believe that through the grace of the LORD Jesus Christ we shall be saved, even as they.(KJV-1611) Act 15:11 Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l' delivre nou, menm jan li fè l' pou yo tou.(Creole-HT) ======= Acts 15:12 ============ Act 15:12 Then all the multitude kept silence, and gave audience to Barnabas and Paul, declaring what miracles and wonders God had wrought among the Gentiles by them.(KJV-1611) Act 15:12 Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:13 ============ Act 15:13 And after they had held their peace, James answered, saying, Men and brethren, hearken unto me:(KJV-1611) Act 15:13 Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen.(Creole-HT) ======= Acts 15:14 ============ Act 15:14 Simeon hath declared how God at the first did visit the Gentiles, to take out of them a people for his name.(KJV-1611) Act 15:14 Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li.(Creole-HT) ======= Acts 15:15 ============ Act 15:15 And to this agree the words of the prophets; as it is written,(KJV-1611) Act 15:15 Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la:(Creole-HT) ======= Acts 15:16 ============ Act 15:16 After this I will return, and will build again the tabernacle of David, which is fallen down; and I will build again the ruins thereof, and I will set it up:(KJV-1611) Act 15:16 Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò.(Creole-HT) ======= Acts 15:17 ============ Act 15:17 That the residue of men might seek after the Lord, and all the Gentiles, upon whom my name is called, saith the Lord, who doeth all these things.(KJV-1611) Act 15:17 Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen.(Creole-HT) ======= Acts 15:18 ============ Act 15:18 Known unto God are all his works from the beginning of the world.(KJV-1611) Act 15:18 Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan.(Creole-HT) ======= Acts 15:19 ============ Act 15:19 Wherefore my sentence is, that we trouble not them, which from among the Gentiles are turned to God:(KJV-1611) Act 15:19 Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 15:20 ============ Act 15:20 But that we write unto them, that they abstain from pollutions of idols, and from fornication, and from things strangled, and from blood.(KJV-1611) Act 15:20 Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san.(Creole-HT) ======= Acts 15:21 ============ Act 15:21 For Moses of old time hath in every city them that preach him, being read in the synagogues every sabbath day.(KJV-1611) Act 15:21 Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l' pou yo nan sinagòg yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:22 ============ Act 15:22 Then pleased it the apostles and elders with the whole church, to send chosen men of their own company to Antioch with Paul and Barnabas; namely, Judas surnamed Barsabas and Silas, chief men among the brethren:(KJV-1611) Act 15:22 Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil.(Creole-HT) ======= Acts 15:23 ============ Act 15:23 And they wrote letters by them after this manner; The apostles and elders and brethren send greeting unto the brethren which are of the Gentiles in Antioch and Syria and Cilicia.(KJV-1611) Act 15:23 Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi.(Creole-HT) ======= Acts 15:24 ============ Act 15:24 Forasmuch as we have heard, that certain which went out from us have troubled you with words, subverting your souls, saying, Ye must be circumcised, and keep the law: to whom we gave no such commandment:(KJV-1611) Act 15:24 Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa.(Creole-HT) ======= Acts 15:25 ============ Act 15:25 It seemed good unto us, being assembled with one accord, to send chosen men unto you with our beloved Barnabas and Paul,(KJV-1611) Act 15:25 Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil,(Creole-HT) ======= Acts 15:26 ============ Act 15:26 Men that have hazarded their lives for the name of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Act 15:26 ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Acts 15:27 ============ Act 15:27 We have sent therefore Judas and Silas, who shall also tell you the same things by mouth.(KJV-1611) Act 15:27 Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:28 ============ Act 15:28 For it seemed good to the Holy Ghost, and to us, to lay upon you no greater burden than these necessary things;(KJV-1611) Act 15:28 Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete.(Creole-HT) ======= Acts 15:29 ============ Act 15:29 That ye abstain from meats offered to idols, and from blood, and from things strangled, and from fornication: from which if ye keep yourselves, ye shall do well. Fare ye well.(KJV-1611) Act 15:29 Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou!(Creole-HT) ======= Acts 15:30 ============ Act 15:30 So when they were dismissed, they came to Antioch: and when they had gathered the multitude together, they delivered the epistle:(KJV-1611) Act 15:30 Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antiòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la.(Creole-HT) ======= Acts 15:31 ============ Act 15:31 Which when they had read, they rejoiced for the consolation.(KJV-1611) Act 15:31 Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:32 ============ Act 15:32 And Judas and Silas, being prophets also themselves, exhorted the brethren with many words, and confirmed them.(KJV-1611) Act 15:32 Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs.(Creole-HT) ======= Acts 15:33 ============ Act 15:33 And after they had tarried there a space, they were let go in peace from the brethren unto the apostles.(KJV-1611) Act 15:33 Yo pase kèk tan nan lavil Antiòch. Apre sa, frè yo swate yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:34 ============ Act 15:34 Notwithstanding it pleased Silas to abide there still.(KJV-1611) Act 15:34 Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete.(Creole-HT) ======= Acts 15:35 ============ Act 15:35 Paul also and Barnabas continued in Antioch, teaching and preaching the word of the Lord, with many others also.(KJV-1611) Act 15:35 Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antiòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 15:36 ============ Act 15:36 And some days after Paul said unto Barnabas, Let us go again and visit our brethren in every city where we have preached the word of the LORD, and see how they do.(KJV-1611) Act 15:36 Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye.(Creole-HT) ======= Acts 15:37 ============ Act 15:37 And Barnabas determined to take with them John, whose surname was Mark.(KJV-1611) Act 15:37 Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo.(Creole-HT) ======= Acts 15:38 ============ Act 15:38 But Paul thought not good to take him with them, who departed from them from Pamphylia, and went not with them to the work.(KJV-1611) Act 15:38 Men, Pòl pa t' kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l', paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pa t' rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini.(Creole-HT) ======= Acts 15:39 ============ Act 15:39 And the contention was so sharp between them, that they departed asunder one from the other: and so Barnabas took Mark, and sailed unto Cyprus;(KJV-1611) Act 15:39 Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip.(Creole-HT) ======= Acts 15:40 ============ Act 15:40 And Paul chose Silas, and departed, being recommended by the brethren unto the grace of God.(KJV-1611) Act 15:40 Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l' favè l', li pati.(Creole-HT) ======= Acts 15:41 ============ Act 15:41 And he went through Syria and Cilicia, confirming the churches.(KJV-1611) Act 15:41 Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 16:1 ============ Act 16:1 Then came he to Derbe and Lystra: and, behold, a certain disciple was there, named Timotheus, the son of a certain woman, which was a Jewess, and believed; but his father was a Greek:(KJV-1611) Act 16:1 Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.(Creole-HT) ======= Acts 16:2 ============ Act 16:2 Which was well reported of by the brethren that were at Lystra and Iconium.(KJV-1611) Act 16:2 Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote.(Creole-HT) ======= Acts 16:3 ============ Act 16:3 Him would Paul have to go forth with him; and took and circumcised him because of the Jews which were in those quarters: for they knew all that his father was a Greek.(KJV-1611) Act 16:3 Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk.(Creole-HT) ======= Acts 16:4 ============ Act 16:4 And as they went through the cities, they delivered them the decrees for to keep, that were ordained of the apostles and elders which were at Jerusalem.(KJV-1611) Act 16:4 Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an.(Creole-HT) ======= Acts 16:5 ============ Act 16:5 And so were the churches established in the faith, and increased in number daily.(KJV-1611) Act 16:5 Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.(Creole-HT) ======= Acts 16:6 ============ Act 16:6 Now when they had gone throughout Phrygia and the region of Galatia, and were forbidden of the Holy Ghost to preach the word in Asia,(KJV-1611) Act 16:6 Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.(Creole-HT) ======= Acts 16:7 ============ Act 16:7 After they were come to Mysia, they assayed to go into Bithynia: but the Spirit suffered them not.(KJV-1611) Act 16:7 Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa.(Creole-HT) ======= Acts 16:8 ============ Act 16:8 And they passing by Mysia came down to Troas.(KJV-1611) Act 16:8 Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas.(Creole-HT) ======= Acts 16:9 ============ Act 16:9 And a vision appeared to Paul in the night; There stood a man of Macedonia, and prayed him, saying, Come over into Macedonia, and help us.(KJV-1611) Act 16:9 Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou.(Creole-HT) ======= Acts 16:10 ============ Act 16:10 And after he had seen the vision, immediately we endeavoured to go into Macedonia, assuredly gathering that the Lord had called us for to preach the gospel unto them.(KJV-1611) Act 16:10 Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a.(Creole-HT) ======= Acts 16:11 ============ Act 16:11 Therefore loosing from Troas, we came with a straight course to Samothracia, and the next day to Neapolis;(KJV-1611) Act 16:11 Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis.(Creole-HT) ======= Acts 16:12 ============ Act 16:12 And from thence to Philippi, which is the chief city of that part of Macedonia, and a colony: and we were in that city abiding certain days.(KJV-1611) Act 16:12 Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a.(Creole-HT) ======= Acts 16:13 ============ Act 16:13 And on the sabbath we went out of the city by a river side, where prayer was wont to be made; and we sat down, and spake unto the women which resorted thither.(KJV-1611) Act 16:13 Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.(Creole-HT) ======= Acts 16:14 ============ Act 16:14 And a certain woman named Lydia, a seller of purple, of the city of Thyatira, which worshipped God, heard us: whose heart the Lord opened, that she attended unto the things which were spoken of Paul.(KJV-1611) Act 16:14 Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.(Creole-HT) ======= Acts 16:15 ============ Act 16:15 And when she was baptized, and her household, she besought us, saying, If ye have judged me to be faithful to the Lord, come into my house, and abide there. And she constrained us.(KJV-1611) Act 16:15 Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.(Creole-HT) ======= Acts 16:16 ============ Act 16:16 And it came to pass, as we went to prayer, a certain damsel possessed with a spirit of divination met us, which brought her masters much gain by soothsaying:(KJV-1611) Act 16:16 Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.(Creole-HT) ======= Acts 16:17 ============ Act 16:17 The same followed Paul and us, and cried, saying, These men are the servants of the most high God, which shew unto us the way of salvation.(KJV-1611) Act 16:17 Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Acts 16:18 ============ Act 16:18 And this did she many days. But Paul, being grieved, turned and said to the spirit, I command thee in the name of Jesus Christ to come out of her. And he came out the same hour.(KJV-1611) Act 16:18 Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li.(Creole-HT) ======= Acts 16:19 ============ Act 16:19 And when her masters saw that the hope of their gains was gone, they caught Paul and Silas, and drew them into the marketplace unto the rulers,(KJV-1611) Act 16:19 Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo.(Creole-HT) ======= Acts 16:20 ============ Act 16:20 And brought them to the magistrates, saying, These men, being Jews, do exceedingly trouble our city,(KJV-1611) Act 16:20 Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye.(Creole-HT) ======= Acts 16:21 ============ Act 16:21 And teach customs, which are not lawful for us to receive, neither to observe, being Romans.(KJV-1611) Act 16:21 Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Acts 16:22 ============ Act 16:22 And the multitude rose up together against them: and the magistrates rent off their clothes, and commanded to beat them.(KJV-1611) Act 16:22 Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt.(Creole-HT) ======= Acts 16:23 ============ Act 16:23 And when they had laid many stripes upon them, they cast them into prison, charging the jailor to keep them safely:(KJV-1611) Act 16:23 Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen.(Creole-HT) ======= Acts 16:24 ============ Act 16:24 Who, having received such a charge, thrust them into the inner prison, and made their feet fast in the stocks.(KJV-1611) Act 16:24 Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp.(Creole-HT) ======= Acts 16:25 ============ Act 16:25 And at midnight Paul and Silas prayed, and sang praises unto God: and the prisoners heard them.(KJV-1611) Act 16:25 Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.(Creole-HT) ======= Acts 16:26 ============ Act 16:26 And suddenly there was a great earthquake, so that the foundations of the prison were shaken: and immediately all the doors were opened, and every one's bands were loosed.(KJV-1611) Act 16:26 Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.(Creole-HT) ======= Acts 16:27 ============ Act 16:27 And the keeper of the prison awaking out of his sleep, and seeing the prison doors open, he drew out his sword, and would have killed himself, supposing that the prisoners had been fled.(KJV-1611) Act 16:27 Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove.(Creole-HT) ======= Acts 16:28 ============ Act 16:28 But Paul cried with a loud voice, saying, Do thyself no harm: for we are all here.(KJV-1611) Act 16:28 Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.(Creole-HT) ======= Acts 16:29 ============ Act 16:29 Then he called for a light, and sprang in, and came trembling, and fell down before Paul and Silas,(KJV-1611) Act 16:29 Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.(Creole-HT) ======= Acts 16:30 ============ Act 16:30 And brought them out, and said, Sirs, what must I do to be saved?(KJV-1611) Act 16:30 Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?(Creole-HT) ======= Acts 16:31 ============ Act 16:31 And they said, Believe on the Lord Jesus Christ, and thou shalt be saved, and thy house.(KJV-1611) Act 16:31 Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.(Creole-HT) ======= Acts 16:32 ============ Act 16:32 And they spake unto him the word of the Lord, and to all that were in his house.(KJV-1611) Act 16:32 Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.(Creole-HT) ======= Acts 16:33 ============ Act 16:33 And he took them the same hour of the night, and washed their stripes; and was baptized, he and all his, straightway.(KJV-1611) Act 16:33 Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li.(Creole-HT) ======= Acts 16:34 ============ Act 16:34 And when he had brought them into his house, he set meat before them, and rejoiced, believing in God with all his house.(KJV-1611) Act 16:34 Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 16:35 ============ Act 16:35 And when it was day, the magistrates sent the serjeants, saying, Let those men go.(KJV-1611) Act 16:35 Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo.(Creole-HT) ======= Acts 16:36 ============ Act 16:36 And the keeper of the prison told this saying to Paul, The magistrates have sent to let you go: now therefore depart, and go in peace.(KJV-1611) Act 16:36 Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze.(Creole-HT) ======= Acts 16:37 ============ Act 16:37 But Paul said unto them, They have beaten us openly uncondemned, being Romans, and have cast us into prison; and now do they thrust us out privily? nay verily; but let them come themselves and fetch us out.(KJV-1611) Act 16:37 Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.(Creole-HT) ======= Acts 16:38 ============ Act 16:38 And the serjeants told these words unto the magistrates: and they feared, when they heard that they were Romans.(KJV-1611) Act 16:38 Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè.(Creole-HT) ======= Acts 16:39 ============ Act 16:39 And they came and besought them, and brought them out, and desired them to depart out of the city.(KJV-1611) Act 16:39 Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 16:40 ============ Act 16:40 And they went out of the prison, and entered into the house of Lydia: and when they had seen the brethren, they comforted them, and departed.(KJV-1611) Act 16:40 Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.(Creole-HT) ======= Acts 17:1 ============ Act 17:1 Now when they had passed through Amphipolis and Apollonia, they came to Thessalonica, where was a synagogue of the Jews:(KJV-1611) Act 17:1 Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg.(Creole-HT) ======= Acts 17:2 ============ Act 17:2 And Paul, as his manner was, went in unto them, and three sabbath days reasoned with them out of the scriptures,(KJV-1611) Act 17:2 Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:3 ============ Act 17:3 Opening and alleging, that Christ must needs have suffered, and risen again from the dead; and that this Jesus, whom I preach unto you, is Christ.(KJV-1611) Act 17:3 Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.(Creole-HT) ======= Acts 17:4 ============ Act 17:4 And some of them believed, and consorted with Paul and Silas; and of the devout Greeks a great multitude, and of the chief women not a few.(KJV-1611) Act 17:4 Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou.(Creole-HT) ======= Acts 17:5 ============ Act 17:5 But the Jews which believed not, moved with envy, took unto them certain lewd fellows of the baser sort, and gathered a company, and set all the city on an uproar, and assaulted the house of Jason, and sought to bring them out to the people.(KJV-1611) Act 17:5 Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 17:6 ============ Act 17:6 And when they found them not, they drew Jason and certain brethren unto the rulers of the city, crying, These that have turned the world upside down are come hither also;(KJV-1611) Act 17:6 Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la.(Creole-HT) ======= Acts 17:7 ============ Act 17:7 Whom Jason hath received: and these all do contrary to the decrees of Caesar, saying that there is another king, one Jesus.(KJV-1611) Act 17:7 Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 17:8 ============ Act 17:8 And they troubled the people and the rulers of the city, when they heard these things.(KJV-1611) Act 17:8 Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a.(Creole-HT) ======= Acts 17:9 ============ Act 17:9 And when they had taken security of Jason, and of the other, they let them go.(KJV-1611) Act 17:9 Jazon ak lòt frè yo te blije fè yon depo lajan pou chèf yo te ka lage yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:10 ============ Act 17:10 And the brethren immediately sent away Paul and Silas by night unto Berea: who coming thither went into the synagogue of the Jews.(KJV-1611) Act 17:10 Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y' al nan sinagòg jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:11 ============ Act 17:11 These were more noble than those in Thessalonica, in that they received the word with all readiness of mind, and searched the scriptures daily, whether those things were so.(KJV-1611) Act 17:11 Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre.(Creole-HT) ======= Acts 17:12 ============ Act 17:12 Therefore many of them believed; also of honourable women which were Greeks, and of men, not a few.(KJV-1611) Act 17:12 Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè.(Creole-HT) ======= Acts 17:13 ============ Act 17:13 But when the Jews of Thessalonica had knowledge that the word of God was preached of Paul at Berea, they came thither also, and stirred up the people.(KJV-1611) Act 17:13 Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:14 ============ Act 17:14 And then immediately the brethren sent away Paul to go as it were to the sea: but Silas and Timotheus abode there still.(KJV-1611) Act 17:14 Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere.(Creole-HT) ======= Acts 17:15 ============ Act 17:15 And they that conducted Paul brought him unto Athens: and receiving a commandment unto Silas and Timotheus for to come to him with all speed, they departed.(KJV-1611) Act 17:15 Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l' jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit.(Creole-HT) ======= Acts 17:16 ============ Act 17:16 Now while Paul waited for them at Athens, his spirit was stirred in him, when he saw the city wholly given to idolatry.(KJV-1611) Act 17:16 Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl.(Creole-HT) ======= Acts 17:17 ============ Act 17:17 Therefore disputed he in the synagogue with the Jews, and with the devout persons, and in the market daily with them that met with him.(KJV-1611) Act 17:17 Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la.(Creole-HT) ======= Acts 17:18 ============ Act 17:18 Then certain philosophers of the Epicureans, and of the Stoicks, encountered him. And some said, What will this babbler say? other some, He seemeth to be a setter forth of strange gods: because he preached unto them Jesus, and the resurrection.(KJV-1611) Act 17:18 Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= Acts 17:19 ============ Act 17:19 And they took him, and brought him unto Areopagus, saying, May we know what this new doctrine, whereof thou speakest, is?(KJV-1611) Act 17:19 Lè sa a, yo pran l', yo mennen l' nan Aewopaj la. Epi yo di li: Nou ta renmen konnen tout bagay nèf sa yo w'ap montre moun yo la a.(Creole-HT) ======= Acts 17:20 ============ Act 17:20 For thou bringest certain strange things to our ears: we would know therefore what these things mean.(KJV-1611) Act 17:20 W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di.(Creole-HT) ======= Acts 17:21 ============ Act 17:21 (For all the Athenians and strangers which were there spent their time in nothing else, but either to tell, or to hear some new thing.)(KJV-1611) Act 17:21 (Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fèk parèt.)(Creole-HT) ======= Acts 17:22 ============ Act 17:22 Then Paul stood in the midst of Mars' hill, and said, Ye men of Athens, I perceive that in all things ye are too superstitious.(KJV-1611) Act 17:22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Aewopaj la, li di: Nou menm moun Atèn, mwen wè nou se moun ki renmen relijyon anpil.(Creole-HT) ======= Acts 17:23 ============ Act 17:23 For as I passed by, and beheld your devotions, I found an altar with this inscription, TO THE UNKNOWN GOD. Whom therefore ye ignorantly worship, him declare I unto you.(KJV-1611) Act 17:23 Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a.(Creole-HT) ======= Acts 17:24 ============ Act 17:24 God that made the world and all things therein, seeing that he is Lord of heaven and earth, dwelleth not in temples made with hands;(KJV-1611) Act 17:24 Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:25 ============ Act 17:25 Neither is worshipped with men's hands, as though he needed any thing, seeing he giveth to all life, and breath, and all things;(KJV-1611) Act 17:25 Li pa bezwen pou moun travay ba l' anyen non plis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay.(Creole-HT) ======= Acts 17:26 ============ Act 17:26 And hath made of one blood all nations of men for to dwell on all the face of the earth, and hath determined the times before appointed, and the bounds of their habitation;(KJV-1611) Act 17:26 Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.(Creole-HT) ======= Acts 17:27 ============ Act 17:27 That they should seek the Lord, if haply they might feel after him, and find him, though he be not far from every one of us:(KJV-1611) Act 17:27 Li fè tou sa pou yo ka chache l', pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa.(Creole-HT) ======= Acts 17:28 ============ Act 17:28 For in him we live, and move, and have our being; as certain also of your own poets have said, For we are also his offspring.(KJV-1611) Act 17:28 Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.(Creole-HT) ======= Acts 17:29 ============ Act 17:29 Forasmuch then as we are the offspring of God, we ought not to think that the Godhead is like unto gold, or silver, or stone, graven by art and man's device.(KJV-1611) Act 17:29 Si nou se pitit li, nou pa dwe mete nan tèt nou Bondye tankou yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè yon pòtre ki soti nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:30 ============ Act 17:30 And the times of this ignorance God winked at; but now commandeth all men every where to repent:(KJV-1611) Act 17:30 Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Acts 17:31 ============ Act 17:31 Because he hath appointed a day, in the which he will judge the world in righteousness by that man whom he hath ordained; whereof he hath given assurance unto all men, in that he hath raised him from the dead.(KJV-1611) Act 17:31 Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 17:32 ============ Act 17:32 And when they heard of the resurrection of the dead, some mocked: and others said, We will hear thee again of this matter.(KJV-1611) Act 17:32 Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l' nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: N'a tande koze sa a yon lòt jou.(Creole-HT) ======= Acts 17:33 ============ Act 17:33 So Paul departed from among them.(KJV-1611) Act 17:33 Se konsa Pòl soti nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Acts 17:34 ============ Act 17:34 Howbeit certain men clave unto him, and believed: among the which was Dionysius the Areopagite, and a woman named Damaris, and others with them.(KJV-1611) Act 17:34 Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò.(Creole-HT) ======= Acts 18:1 ============ Act 18:1 After these things Paul departed from Athens, and came to Corinth;(KJV-1611) Act 18:1 Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent.(Creole-HT) ======= Acts 18:2 ============ Act 18:2 And found a certain Jew named Aquila, born in Pontus, lately come from Italy, with his wife Priscilla; (because that Claudius had commanded all Jews to depart from Rome:) and came unto them.(KJV-1611) Act 18:2 Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo,(Creole-HT) ======= Acts 18:3 ============ Act 18:3 And because he was of the same craft, he abode with them, and wrought: for by their occupation they were tentmakers.(KJV-1611) Act 18:3 epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal.(Creole-HT) ======= Acts 18:4 ============ Act 18:4 And he reasoned in the synagogue every sabbath, and persuaded the Jews and the Greeks.(KJV-1611) Act 18:4 Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.(Creole-HT) ======= Acts 18:5 ============ Act 18:5 And when Silas and Timotheus were come from Macedonia, Paul was pressed in the spirit, and testified to the Jews that Jesus was Christ.(KJV-1611) Act 18:5 Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Acts 18:6 ============ Act 18:6 And when they opposed themselves, and blasphemed, he shook his raiment, and said unto them, Your blood be upon your own heads; I am clean; from henceforth I will go unto the Gentiles.(KJV-1611) Act 18:6 Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 18:7 ============ Act 18:7 And he departed thence, and entered into a certain man's house, named Justus, one that worshipped God, whose house joined hard to the synagogue.(KJV-1611) Act 18:7 Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la.(Creole-HT) ======= Acts 18:8 ============ Act 18:8 And Crispus, the chief ruler of the synagogue, believed on the Lord with all his house; and many of the Corinthians hearing believed, and were baptized.(KJV-1611) Act 18:8 Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.(Creole-HT) ======= Acts 18:9 ============ Act 18:9 Then spake the Lord to Paul in the night by a vision, Be not afraid, but speak, and hold not thy peace:(KJV-1611) Act 18:9 Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou.(Creole-HT) ======= Acts 18:10 ============ Act 18:10 For I am with thee, and no man shall set on thee to hurt thee: for I have much people in this city.(KJV-1611) Act 18:10 Mwen la avèk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 18:11 ============ Act 18:11 And he continued there a year and six months, teaching the word of God among them.(KJV-1611) Act 18:11 Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 18:12 ============ Act 18:12 And when Gallio was the deputy of Achaia, the Jews made insurrection with one accord against Paul, and brought him to the judgment seat,(KJV-1611) Act 18:12 Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la,(Creole-HT) ======= Acts 18:13 ============ Act 18:13 Saying, This fellow persuadeth men to worship God contrary to the law.(KJV-1611) Act 18:13 epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa.(Creole-HT) ======= Acts 18:14 ============ Act 18:14 And when Paul was now about to open his mouth, Gallio said unto the Jews, If it were a matter of wrong or wicked lewdness, O ye Jews, reason would that I should bear with you:(KJV-1611) Act 18:14 Pòl tapral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m' koute nou.(Creole-HT) ======= Acts 18:15 ============ Act 18:15 But if it be a question of words and names, and of your law, look ye to it; for I will be no judge of such matters.(KJV-1611) Act 18:15 Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon.(Creole-HT) ======= Acts 18:16 ============ Act 18:16 And he drave them from the judgment seat.(KJV-1611) Act 18:16 Epi li mete tout moun deyò nan tribinal la.(Creole-HT) ======= Acts 18:17 ============ Act 18:17 Then all the Greeks took Sosthenes, the chief ruler of the synagogue, and beat him before the judgment seat. And Gallio cared for none of those things.(KJV-1611) Act 18:17 Lè sa a, jwif yo mete men sou Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm.(Creole-HT) ======= Acts 18:18 ============ Act 18:18 And Paul after this tarried there yet a good while, and then took his leave of the brethren, and sailed thence into Syria, and with him Priscilla and Aquila; having shorn his head in Cenchrea: for he had a vow.(KJV-1611) Act 18:18 Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve.(Creole-HT) ======= Acts 18:19 ============ Act 18:19 And he came to Ephesus, and left them there: but he himself entered into the synagogue, and reasoned with the Jews.(KJV-1611) Act 18:19 Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 18:20 ============ Act 18:20 When they desired him to tarry longer time with them, he consented not;(KJV-1611) Act 18:20 Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle.(Creole-HT) ======= Acts 18:21 ============ Act 18:21 But bade them farewell, saying, I must by all means keep this feast that cometh in Jerusalem: but I will return again unto you, if God will. And he sailed from Ephesus.(KJV-1611) Act 18:21 Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz.(Creole-HT) ======= Acts 18:22 ============ Act 18:22 And when he had landed at Caesarea, and gone up, and saluted the church, he went down to Antioch.(KJV-1611) Act 18:22 Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch.(Creole-HT) ======= Acts 18:23 ============ Act 18:23 And after he had spent some time there, he departed, and went over all the country of Galatia and Phrygia in order, strengthening all the disciples.(KJV-1611) Act 18:23 Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 18:24 ============ Act 18:24 And a certain Jew named Apollos, born at Alexandria, an eloquent man, and mighty in the scriptures, came to Ephesus.(KJV-1611) Act 18:24 Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.(Creole-HT) ======= Acts 18:25 ============ Act 18:25 This man was instructed in the way of the Lord; and being fervent in the spirit, he spake and taught diligently the things of the Lord, knowing only the baptism of John.(KJV-1611) Act 18:25 Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen.(Creole-HT) ======= Acts 18:26 ============ Act 18:26 And he began to speak boldly in the synagogue: whom when Aquila and Priscilla had heard, they took him unto them, and expounded unto him the way of God more perfectly.(KJV-1611) Act 18:26 Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.(Creole-HT) ======= Acts 18:27 ============ Act 18:27 And when he was disposed to pass into Achaia, the brethren wrote, exhorting the disciples to receive him: who, when he was come, helped them much which had believed through grace:(KJV-1611) Act 18:27 Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou.(Creole-HT) ======= Acts 18:28 ============ Act 18:28 For he mightily convinced the Jews, and that publickly, shewing by the scriptures that Jesus was Christ.(KJV-1611) Act 18:28 Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.(Creole-HT) ======= Acts 19:1 ============ Act 19:1 And it came to pass, that, while Apollos was at Corinth, Paul having passed through the upper coasts came to Ephesus: and finding certain disciples,(KJV-1611) Act 19:1 Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 19:2 ============ Act 19:2 He said unto them, Have ye received the Holy Ghost since ye believed? And they said unto him, We have not so much as heard whether there be any Holy Ghost.(KJV-1611) Act 19:2 Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri.(Creole-HT) ======= Acts 19:3 ============ Act 19:3 And he said unto them, Unto what then were ye baptized? And they said, Unto John's baptism.(KJV-1611) Act 19:3 Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an.(Creole-HT) ======= Acts 19:4 ============ Act 19:4 Then said Paul, John verily baptized with the baptism of repentance, saying unto the people, that they should believe on him which should come after him, that is, on Christ Jesus.(KJV-1611) Act 19:4 Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 19:5 ============ Act 19:5 When they heard this, they were baptized in the name of the Lord Jesus.(KJV-1611) Act 19:5 Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 19:6 ============ Act 19:6 And when Paul had laid his hands upon them, the Holy Ghost came on them; and they spake with tongues, and prophesied.(KJV-1611) Act 19:6 Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 19:7 ============ Act 19:7 And all the men were about twelve.(KJV-1611) Act 19:7 Te gen douz gason konsa antou.(Creole-HT) ======= Acts 19:8 ============ Act 19:8 And he went into the synagogue, and spake boldly for the space of three months, disputing and persuading the things concerning the kingdom of God.(KJV-1611) Act 19:8 Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo.(Creole-HT) ======= Acts 19:9 ============ Act 19:9 But when divers were hardened, and believed not, but spake evil of that way before the multitude, he departed from them, and separated the disciples, disputing daily in the school of one Tyrannus.(KJV-1611) Act 19:9 Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.(Creole-HT) ======= Acts 19:10 ============ Act 19:10 And this continued by the space of two years; so that all they which dwelt in Asia heard the word of the Lord Jesus, both Jews and Greeks.(KJV-1611) Act 19:10 Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a.(Creole-HT) ======= Acts 19:11 ============ Act 19:11 And God wrought special miracles by the hands of Paul:(KJV-1611) Act 19:11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak.(Creole-HT) ======= Acts 19:12 ============ Act 19:12 So that from his body were brought unto the sick handkerchiefs or aprons, and the diseases departed from them, and the evil spirits went out of them.(KJV-1611) Act 19:12 Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò.(Creole-HT) ======= Acts 19:13 ============ Act 19:13 Then certain of the vagabond Jews, exorcists, took upon them to call over them which had evil spirits the name of the LORD Jesus, saying, We adjure you by Jesus whom Paul preacheth.(KJV-1611) Act 19:13 Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti.(Creole-HT) ======= Acts 19:14 ============ Act 19:14 And there were seven sons of one Sceva, a Jew, and chief of the priests, which did so.(KJV-1611) Act 19:14 (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.)(Creole-HT) ======= Acts 19:15 ============ Act 19:15 And the evil spirit answered and said, Jesus I know, and Paul I know; but who are ye?(KJV-1611) Act 19:15 Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye?(Creole-HT) ======= Acts 19:16 ============ Act 19:16 And the man in whom the evil spirit was leaped on them, and overcame them, and prevailed against them, so that they fled out of that house naked and wounded.(KJV-1611) Act 19:16 Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kò yo an san.(Creole-HT) ======= Acts 19:17 ============ Act 19:17 And this was known to all the Jews and Greeks also dwelling at Ephesus; and fear fell on them all, and the name of the Lord Jesus was magnified.(KJV-1611) Act 19:17 Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a.(Creole-HT) ======= Acts 19:18 ============ Act 19:18 And many that believed came, and confessed, and shewed their deeds.(KJV-1611) Act 19:18 Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik.(Creole-HT) ======= Acts 19:19 ============ Act 19:19 Many of them also which used curious arts brought their books together, and burned them before all men: and they counted the price of them, and found it fifty thousand pieces of silver.(KJV-1611) Act 19:19 Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil goud antou.(Creole-HT) ======= Acts 19:20 ============ Act 19:20 So mightily grew the word of God and prevailed.(KJV-1611) Act 19:20 Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.(Creole-HT) ======= Acts 19:21 ============ Act 19:21 After these things were ended, Paul purposed in the spirit, when he had passed through Macedonia and Achaia, to go to Jerusalem, saying, After I have been there, I must also see Rome.(KJV-1611) Act 19:21 Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou.(Creole-HT) ======= Acts 19:22 ============ Act 19:22 So he sent into Macedonia two of them that ministered unto him, Timotheus and Erastus; but he himself stayed in Asia for a season.(KJV-1611) Act 19:22 Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi.(Creole-HT) ======= Acts 19:23 ============ Act 19:23 And the same time there arose no small stir about that way.(KJV-1611) Act 19:23 Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 19:24 ============ Act 19:24 For a certain man named Demetrius, a silversmith, which made silver shrines for Diana, brought no small gain unto the craftsmen;(KJV-1611) Act 19:24 Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil.(Creole-HT) ======= Acts 19:25 ============ Act 19:25 Whom he called together with the workmen of like occupation, and said, Sirs, ye know that by this craft we have our wealth.(KJV-1611) Act 19:25 Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv.(Creole-HT) ======= Acts 19:26 ============ Act 19:26 Moreover ye see and hear, that not alone at Ephesus, but almost throughout all Asia, this Paul hath persuaded and turned away much people, saying that they be no gods, which are made with hands:(KJV-1611) Act 19:26 Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.(Creole-HT) ======= Acts 19:27 ============ Act 19:27 So that not only this our craft is in danger to be set at nought; but also that the temple of the great goddess Diana should be despised, and her magnificence should be destroyed, whom all Asia and the world worshippeth.(KJV-1611) Act 19:27 Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen.(Creole-HT) ======= Acts 19:28 ============ Act 19:28 And when they heard these sayings, they were full of wrath, and cried out, saying, Great is Diana of the Ephesians.(KJV-1611) Act 19:28 Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès!(Creole-HT) ======= Acts 19:29 ============ Act 19:29 And the whole city was filled with confusion: and having caught Gaius and Aristarchus, men of Macedonia, Paul's companions in travel, they rushed with one accord into the theatre.(KJV-1611) Act 19:29 Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la.(Creole-HT) ======= Acts 19:30 ============ Act 19:30 And when Paul would have entered in unto the people, the disciples suffered him not.(KJV-1611) Act 19:30 Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l' non.(Creole-HT) ======= Acts 19:31 ============ Act 19:31 And certain of the chief of Asia, which were his friends, sent unto him, desiring him that he would not adventure himself into the theatre.(KJV-1611) Act 19:31 Te gen de twa chèf nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye bò kote l', yo mande l' pou l' pa parèt tèt li nan teyat la.(Creole-HT) ======= Acts 19:32 ============ Act 19:32 Some therefore cried one thing, and some another: for the assembly was confused: and the more part knew not wherefore they were come together.(KJV-1611) Act 19:32 Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble.(Creole-HT) ======= Acts 19:33 ============ Act 19:33 And they drew Alexander out of the multitude, the Jews putting him forward. And Alexander beckoned with the hand, and would have made his defence unto the people.(KJV-1611) Act 19:33 Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan pèp la.(Creole-HT) ======= Acts 19:34 ============ Act 19:34 But when they knew that he was a Jew, all with one voice about the space of two hours cried out, Great is Diana of the Ephesians.(KJV-1611) Act 19:34 Men, lè yo rekonnèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès.(Creole-HT) ======= Acts 19:35 ============ Act 19:35 And when the townclerk had appeased the people, he said, Ye men of Ephesus, what man is there that knoweth not how that the city of the Ephesians is a worshipper of the great goddess Diana, and of the image which fell down from Jupiter?(KJV-1611) Act 19:35 Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la.(Creole-HT) ======= Acts 19:36 ============ Act 19:36 Seeing then that these things cannot be spoken against, ye ought to be quiet, and to do nothing rashly.(KJV-1611) Act 19:36 Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n' mete tèt nou an plas pou n' pa fè anyen san nou pa kalkile byen.(Creole-HT) ======= Acts 19:37 ============ Act 19:37 For ye have brought hither these men, which are neither robbers of churches, nor yet blasphemers of your goddess.(KJV-1611) Act 19:37 Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa vòlò yo vòlò nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an.(Creole-HT) ======= Acts 19:38 ============ Act 19:38 Wherefore if Demetrius, and the craftsmen which are with him, have a matter against any man, the law is open, and there are deputies: let them implead one another.(KJV-1611) Act 19:38 Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y' al pote plent.(Creole-HT) ======= Acts 19:39 ============ Act 19:39 But if ye enquire any thing concerning other matters, it shall be determined in a lawful assembly.(KJV-1611) Act 19:39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa.(Creole-HT) ======= Acts 19:40 ============ Act 19:40 For we are in danger to be called in question for this day's uproar, there being no cause whereby we may give an account of this concourse.(KJV-1611) Act 19:40 Avèk sa ki pase jòdi a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap fè revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dezòd sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa.(Creole-HT) ======= Acts 19:41 ============ Act 19:41 And when he had thus spoken, he dismissed the assembly.(KJV-1611) Act 19:41 Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.(Creole-HT) ======= Acts 20:1 ============ Act 20:1 And after the uproar was ceased, Paul called unto him the disciples, and embraced them, and departed for to go into Macedonia.(KJV-1611) Act 20:1 Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l' pati pou Masedwan.(Creole-HT) ======= Acts 20:2 ============ Act 20:2 And when he had gone over those parts, and had given them much exhortation, he came into Greece,(KJV-1611) Act 20:2 Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesaj. Apre sa, li pati, li ale Lagrès.(Creole-HT) ======= Acts 20:3 ============ Act 20:3 And there abode three months. And when the Jews laid wait for him, as he was about to sail into Syria, he purposed to return through Macedonia.(KJV-1611) Act 20:3 Rive la, li ret pase twa mwa. Li tapral pran yon batiman pou peyi Siri lè l' vin konnen jwif yo t'ap pare yon pèlen tann li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwan ankò.(Creole-HT) ======= Acts 20:4 ============ Act 20:4 And there accompanied him into Asia Sopater of Berea; and of the Thessalonians, Aristarchus and Secundus; and Gaius of Derbe, and Timotheus; and of Asia, Tychicus and Trophimus.(KJV-1611) Act 20:4 Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi.(Creole-HT) ======= Acts 20:5 ============ Act 20:5 These going before tarried for us at Troas.(KJV-1611) Act 20:5 Yo tout te pran devan, y' al tann nou Twoas.(Creole-HT) ======= Acts 20:6 ============ Act 20:6 And we sailed away from Philippi after the days of unleavened bread, and came unto them to Troas in five days; where we abode seven days.(KJV-1611) Act 20:6 Nou menm, apre fèt Pen san ledven yo, nou anbake sou yon batiman lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twoas. Nou rete pase tout yon senmenn la.(Creole-HT) ======= Acts 20:7 ============ Act 20:7 And upon the first day of the week, when the disciples came together to break bread, Paul preached unto them, ready to depart on the morrow; and continued his speech until midnight.(KJV-1611) Act 20:7 Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.(Creole-HT) ======= Acts 20:8 ============ Act 20:8 And there were many lights in the upper chamber, where they were gathered together.(KJV-1611) Act 20:8 Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.(Creole-HT) ======= Acts 20:9 ============ Act 20:9 And there sat in a window a certain young man named Eutychus, being fallen into a deep sleep: and as Paul was long preaching, he sunk down with sleep, and fell down from the third loft, and was taken up dead.(KJV-1611) Act 20:9 Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.(Creole-HT) ======= Acts 20:10 ============ Act 20:10 And Paul went down, and fell on him, and embracing him said, Trouble not yourselves; for his life is in him.(KJV-1611) Act 20:10 Pòl desanm, li bese sou li, li pran l' nan bra l', epi li di: Nou pa bezwen pè, li pa mouri.(Creole-HT) ======= Acts 20:11 ============ Act 20:11 When he therefore was come up again, and had broken bread, and eaten, and talked a long while, even till break of day, so he departed.(KJV-1611) Act 20:11 Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.(Creole-HT) ======= Acts 20:12 ============ Act 20:12 And they brought the young man alive, and were not a little comforted.(KJV-1611) Act 20:12 Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.(Creole-HT) ======= Acts 20:13 ============ Act 20:13 And we went before to ship, and sailed unto Assos, there intending to take in Paul: for so had he appointed, minding himself to go afoot.(KJV-1611) Act 20:13 Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.(Creole-HT) ======= Acts 20:14 ============ Act 20:14 And when he met with us at Assos, we took him in, and came to Mitylene.(KJV-1611) Act 20:14 Lè l' vin jwenn nou Asòs, nou pran l' abò a, epi n' ale Mitilèn.(Creole-HT) ======= Acts 20:15 ============ Act 20:15 And we sailed thence, and came the next day over against Chios; and the next day we arrived at Samos, and tarried at Trogyllium; and the next day we came to Miletus.(KJV-1611) Act 20:15 Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chio. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè.(Creole-HT) ======= Acts 20:16 ============ Act 20:16 For Paul had determined to sail by Ephesus, because he would not spend the time in Asia: for he hasted, if it were possible for him, to be at Jerusalem the day of Pentecost.(KJV-1611) Act 20:16 Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.(Creole-HT) ======= Acts 20:17 ============ Act 20:17 And from Miletus he sent to Ephesus, and called the elders of the church.(KJV-1611) Act 20:17 Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.(Creole-HT) ======= Acts 20:18 ============ Act 20:18 And when they were come to him, he said unto them, Ye know, from the first day that I came into Asia, after what manner I have been with you at all seasons,(KJV-1611) Act 20:18 Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.(Creole-HT) ======= Acts 20:19 ============ Act 20:19 Serving the LORD with all humility of mind, and with many tears, and temptations, which befell me by the lying in wait of the Jews:(KJV-1611) Act 20:19 Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 20:20 ============ Act 20:20 And how I kept back nothing that was profitable unto you, but have shewed you, and have taught you publickly, and from house to house,(KJV-1611) Act 20:20 Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou.(Creole-HT) ======= Acts 20:21 ============ Act 20:21 Testifying both to the Jews, and also to the Greeks, repentance toward God, and faith toward our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Act 20:21 Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.(Creole-HT) ======= Acts 20:22 ============ Act 20:22 And now, behold, I go bound in the spirit unto Jerusalem, not knowing the things that shall befall me there:(KJV-1611) Act 20:22 Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a.(Creole-HT) ======= Acts 20:23 ============ Act 20:23 Save that the Holy Ghost witnesseth in every city, saying that bonds and afflictions abide me.(KJV-1611) Act 20:23 Yon sèl bagay moun konnen: nan chak lavil kote m' pase, Sentespri avèti m' prizon ak anpil soufrans ap tann mwen.(Creole-HT) ======= Acts 20:24 ============ Act 20:24 But none of these things move me, neither count I my life dear unto myself, so that I might finish my course with joy, and the ministry, which I have received of the Lord Jesus, to testify the gospel of the grace of God.(KJV-1611) Act 20:24 Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.(Creole-HT) ======= Acts 20:25 ============ Act 20:25 And now, behold, I know that ye all, among whom I have gone preaching the kingdom of God, shall see my face no more.(KJV-1611) Act 20:25 Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò.(Creole-HT) ======= Acts 20:26 ============ Act 20:26 Wherefore I take you to record this day, that I am pure from the blood of all men.(KJV-1611) Act 20:26 Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab.(Creole-HT) ======= Acts 20:27 ============ Act 20:27 For I have not shunned to declare unto you all the counsel of God.(KJV-1611) Act 20:27 Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen.(Creole-HT) ======= Acts 20:28 ============ Act 20:28 Take heed therefore unto yourselves, and to all the flock, over the which the Holy Ghost hath made you overseers, to feed the church of God, which he hath purchased with his own blood.(KJV-1611) Act 20:28 Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.(Creole-HT) ======= Acts 20:29 ============ Act 20:29 For I know this, that after my departing shall grievous wolves enter in among you, not sparing the flock.(KJV-1611) Act 20:29 Mwen konnen tou, apre m' fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton.(Creole-HT) ======= Acts 20:30 ============ Act 20:30 Also of your own selves shall men arise, speaking perverse things, to draw away disciples after them.(KJV-1611) Act 20:30 Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.(Creole-HT) ======= Acts 20:31 ============ Act 20:31 Therefore watch, and remember, that by the space of three years I ceased not to warn every one night and day with tears.(KJV-1611) Act 20:31 Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.(Creole-HT) ======= Acts 20:32 ============ Act 20:32 And now, brethren, I commend you to God, and to the word of his grace, which is able to build you up, and to give you an inheritance among all them which are sanctified.(KJV-1611) Act 20:32 Koulye a m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesaj favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li.(Creole-HT) ======= Acts 20:33 ============ Act 20:33 I have coveted no man's silver, or gold, or apparel.(KJV-1611) Act 20:33 Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun.(Creole-HT) ======= Acts 20:34 ============ Act 20:34 Yea, ye yourselves know, that these hands have ministered unto my necessities, and to them that were with me.(KJV-1611) Act 20:34 Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen.(Creole-HT) ======= Acts 20:35 ============ Act 20:35 I have shewed you all things, how that so labouring ye ought to support the weak, and to remember the words of the Lord Jesus, how he said, It is more blessed to give than to receive.(KJV-1611) Act 20:35 Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.(Creole-HT) ======= Acts 20:36 ============ Act 20:36 And when he had thus spoken, he kneeled down, and prayed with them all.(KJV-1611) Act 20:36 Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 20:37 ============ Act 20:37 And they all wept sore, and fell on Paul's neck, and kissed him,(KJV-1611) Act 20:37 Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou!(Creole-HT) ======= Acts 20:38 ============ Act 20:38 Sorrowing most of all for the words which he spake, that they should see his face no more. And they accompanied him unto the ship.(KJV-1611) Act 20:38 Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l' ankò. Apre sa, yo kondi l' mennen jouk sou batiman an.(Creole-HT) ======= Acts 21:1 ============ Act 21:1 And it came to pass, that after we were gotten from them, and had launched, we came with a straight course unto Coos, and the day following unto Rhodes, and from thence unto Patara:(KJV-1611) Act 21:1 Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Soti la, n' ale Patara.(Creole-HT) ======= Acts 21:2 ============ Act 21:2 And finding a ship sailing over unto Phenicia, we went aboard, and set forth.(KJV-1611) Act 21:2 La, nou jwenn yon batiman ki tapral peyi Finisi, nou moute abò l' epi nou pati.(Creole-HT) ======= Acts 21:3 ============ Act 21:3 Now when we had discovered Cyprus, we left it on the left hand, and sailed into Syria, and landed at Tyre: for there the ship was to unlade her burden.(KJV-1611) Act 21:3 Nou rive toupre lil Chip. Antan nou nan batiman an, nou te ka wè l' toupre konsa. Men, nou pase anba l' sou bò dwat li, nou fè k'ap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir. Batiman an te gen yon pakèt chay pou l' te debake la.(Creole-HT) ======= Acts 21:4 ============ Act 21:4 And finding disciples, we tarried there seven days: who said to Paul through the Spirit, that he should not go up to Jerusalem.(KJV-1611) Act 21:4 Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 21:5 ============ Act 21:5 And when we had accomplished those days, we departed and went our way; and they all brought us on our way, with wives and children, till we were out of the city: and we kneeled down on the shore, and prayed.(KJV-1611) Act 21:5 Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n' al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivaj la, nou lapriyè.(Creole-HT) ======= Acts 21:6 ============ Act 21:6 And when we had taken our leave one of another, we took ship; and they returned home again.(KJV-1611) Act 21:6 Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:7 ============ Act 21:7 And when we had finished our course from Tyre, we came to Ptolemais, and saluted the brethren, and abode with them one day.(KJV-1611) Act 21:7 Nou soti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. N' al di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:8 ============ Act 21:8 And the next day we that were of Paul's company departed, and came unto Caesarea: and we entered into the house of Philip the evangelist, which was one of the seven; and abode with him.(KJV-1611) Act 21:8 Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:9 ============ Act 21:9 And the same man had four daughters, virgins, which did prophesy.(KJV-1611) Act 21:9 Li te gen kat pitit fi ki pa t' marye, yo t'ap bay mesaj yo te resevwa nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 21:10 ============ Act 21:10 And as we tarried there many days, there came down from Judaea a certain prophet, named Agabus.(KJV-1611) Act 21:10 Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann soti nan Jide.(Creole-HT) ======= Acts 21:11 ============ Act 21:11 And when he was come unto us, he took Paul's girdle, and bound his own hands and feet, and said, Thus saith the Holy Ghost, So shall the Jews at Jerusalem bind the man that owneth this girdle, and shall deliver him into the hands of the Gentiles.(KJV-1611) Act 21:11 Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:12 ============ Act 21:12 And when we heard these things, both we, and they of that place, besought him not to go up to Jerusalem.(KJV-1611) Act 21:12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: Tanpri souple, pa moute Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 21:13 ============ Act 21:13 Then Paul answered, What mean ye to weep and to break mine heart? for I am ready not to be bound only, but also to die at Jerusalem for the name of the Lord Jesus.(KJV-1611) Act 21:13 Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 21:14 ============ Act 21:14 And when he would not be persuaded, we ceased, saying, The will of the Lord be done.(KJV-1611) Act 21:14 Lè nou wè nou pa t' kapab chanje lide l', nou pa pèsiste sou sa anko. Nou di: Sa Bondye vle a, se sa k'ap fèt.(Creole-HT) ======= Acts 21:15 ============ Act 21:15 And after those days we took up our carriages, and went up to Jerusalem.(KJV-1611) Act 21:15 Apre nou fin pase kèk jou la, nou ranje zafè nou, nou pati pou Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 21:16 ============ Act 21:16 There went with us also certain of the disciples of Caesarea, and brought with them one Mnason of Cyprus, an old disciple, with whom we should lodge.(KJV-1611) Act 21:16 Te gen kèk nan disip lavil Sezare yo ki te al ansanm avèk nou tou. Yo mennen nou lakay Nazon, moun lil Chip, ki te yon disip depi lontan. Se la nou fè ladesant.(Creole-HT) ======= Acts 21:17 ============ Act 21:17 And when we were come to Jerusalem, the brethren received us gladly.(KJV-1611) Act 21:17 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Acts 21:18 ============ Act 21:18 And the day following Paul went in with us unto James; and all the elders were present.(KJV-1611) Act 21:18 Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.(Creole-HT) ======= Acts 21:19 ============ Act 21:19 And when he had saluted them, he declared particularly what things God had wrought among the Gentiles by his ministry.(KJV-1611) Act 21:19 Pòl di yo bonjou, apre sa li tanmen rakonte yo an detay tou sa Bondye te fè ak travay li nan mitan moun ki pa jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:20 ============ Act 21:20 And when they heard it, they glorified the Lord, and said unto him, Thou seest, brother, how many thousands of Jews there are which believe; and they are all zealous of the law:(KJV-1611) Act 21:20 Lè yo fin tande l', yo tout pran fè lwanj Bondye. Apre sa yo di Pòl: Frè nou, ou wè tout kantite jwif ki kwè nan Jezi. Malgre sa, yo tout byen zele pou lalwa a toujou.(Creole-HT) ======= Acts 21:21 ============ Act 21:21 And they are informed of thee, that thou teachest all the Jews which are among the Gentiles to forsake Moses, saying that they ought not to circumcise their children, neither to walk after the customs.(KJV-1611) Act 21:21 Yo vin di yo ki jan ou menm Pòl, w'ap moutre tout jwif k'ap viv nan mitan lòt nasyon yo pou yo kite Lalwa Moyiz la tonbe. W'ap di yo pa sikonsi pitit yo, ni yo pa bezwen swiv koutim jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 21:22 ============ Act 21:22 What is it therefore? the multitude must needs come together: for they will hear that thou art come.(KJV-1611) Act 21:22 Sa pou n' fè la a menm? Paske, talè konsa yo pral konnen ou rive isit la.(Creole-HT) ======= Acts 21:23 ============ Act 21:23 Do therefore this that we say to thee: We have four men which have a vow on them;(KJV-1611) Act 21:23 Ou pral fè sa nou pral di ou la a: Gen kat moun ki te fè yon ve.(Creole-HT) ======= Acts 21:24 ============ Act 21:24 Them take, and purify thyself with them, and be at charges with them, that they may shave their heads: and all may know that those things, whereof they were informed concerning thee, are nothing; but that thou thyself also walkest orderly, and keepest the law.(KJV-1611) Act 21:24 Ou pral avèk yo, wa patisipe ansanm ak yo nan tout sèvis y'ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Wa fè tout depans pou yo, pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun va konnen tou sa yo t'ap di sou ou a pa t' vre. Okontrè, ou menm pou tèt pa ou, ou toujou ap obeyi Lalwa Moyiz la.(Creole-HT) ======= Acts 21:25 ============ Act 21:25 As touching the Gentiles which believe, we have written and concluded that they observe no such thing, save only that they keep themselves from things offered to idols, and from blood, and from strangled, and from fornication.(KJV-1611) Act 21:25 Men, pou moun ki pa jwif yo epi ki kwè nan Jezi koulye a, nou deja ekri yo, nou voye di yo sa n' te deside: piga yo manje vyann bèt ki te ofri pou touye bay zidòl, piga yo manje san, ni vyann bèt ki mouri toufe. Egzante tout dezòd lachè.(Creole-HT) ======= Acts 21:26 ============ Act 21:26 Then Paul took the men, and the next day purifying himself with them entered into the temple, to signify the accomplishment of the days of purification, until that an offering should be offered for every one of them.(KJV-1611) Act 21:26 Lè sa a, Pòl pran kat mesye yo, epi nan denmen li patisipe avèk yo nan sèvis pou mete yo nan kondisyon pou sèvi Bondye ankò. Apre sa, li al nan tanp lan, li fè konnen ki jou sèvis la va fini, kilè pou yo ofri bèt pou yo touye pou yo chak la.(Creole-HT) ======= Acts 21:27 ============ Act 21:27 And when the seven days were almost ended, the Jews which were of Asia, when they saw him in the temple, stirred up all the people, and laid hands on him,(KJV-1611) Act 21:27 Sèt jou yo te prèt pou fini lè jwif ki soti nan pwovens Lazi yo wè Pòl nan tanp lan. Yo moute tèt foul moun yo, yo mete men sou li.(Creole-HT) ======= Acts 21:28 ============ Act 21:28 Crying out, Men of Israel, help: This is the man, that teacheth all men every where against the people, and the law, and this place: and further brought Greeks also into the temple, and hath polluted this holy place.(KJV-1611) Act 21:28 Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 21:29 ============ Act 21:29 (For they had seen before with him in the city Trophimus an Ephesian, whom they supposed that Paul had brought into the temple.)(KJV-1611) Act 21:29 (Yo t'ap di sa, paske yo te wè Twofim, moun lavil Efèz, ansanm ak Pòl nan lavil la. Yo te konprann Pòl te fè l' antre nan tanp lan tou.)(Creole-HT) ======= Acts 21:30 ============ Act 21:30 And all the city was moved, and the people ran together: and they took Paul, and drew him out of the temple: and forthwith the doors were shut.(KJV-1611) Act 21:30 Tout lavil la te tèt anba, moun kouri soti toupatou. Yo mete men sou Pòl. Yo trennen l' deyò, epi lamenm yo fèmen tout pòt tanp lan.(Creole-HT) ======= Acts 21:31 ============ Act 21:31 And as they went about to kill him, tidings came unto the chief captain of the band, that all Jerusalem was in an uproar.(KJV-1611) Act 21:31 Yo t'ap chache yon jan pou touye Pòl, lè nouvèl la rive nan zòrèy kòmandan batayon women an. Yo te vin di l' ki jan tout lavil la te tèt anba.(Creole-HT) ======= Acts 21:32 ============ Act 21:32 Who immediately took soldiers and centurions, and ran down unto them: and when they saw the chief captain and the soldiers, they left beating of Paul.(KJV-1611) Act 21:32 Lamenm li pran kèk ofisye ak kèk sòlda avèk li, li kouri desann bò kote foul moun yo. Yo menm menm, lè yo wè kòmandan an ak sòlda yo yo sispann bat Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 21:33 ============ Act 21:33 Then the chief captain came near, and took him, and commanded him to be bound with two chains; and demanded who he was, and what he had done.(KJV-1611) Act 21:33 Kòmandan an pwoche bò kot Pòl, li fè yo arete l', li bay lòd pou yo mare l' ak de chenn. Lèfini, li mande ki moun li te ye, kisa l' te fè.(Creole-HT) ======= Acts 21:34 ============ Act 21:34 And some cried one thing, some another, among the multitude: and when he could not know the certainty for the tumult, he commanded him to be carried into the castle.(KJV-1611) Act 21:34 Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan.(Creole-HT) ======= Acts 21:35 ============ Act 21:35 And when he came upon the stairs, so it was, that he was borne of the soldiers for the violence of the people.(KJV-1611) Act 21:35 Lè sòlda yo rive bò eskalye a avèk Pòl, yo te blije leve l' anlè pou yo te sa pase avè l', sitèlman moun yo te ankòlè.(Creole-HT) ======= Acts 21:36 ============ Act 21:36 For the multitude of the people followed after, crying, Away with him.(KJV-1611) Act 21:36 Yo tout yo t'ap swiv li, yo t'ap rele: Touye li.(Creole-HT) ======= Acts 21:37 ============ Act 21:37 And as Paul was to be led into the castle, he said unto the chief captain, May I speak unto thee? Who said, Canst thou speak Greek?(KJV-1611) Act 21:37 Yo tapral fè Pòl antre nan kazèn lan, lè Pòl di kòmandan an: Eske mwen ka di ou kichòy? Kòmandan an mande li: Kouman? Apa ou pale grèk?(Creole-HT) ======= Acts 21:38 ============ Act 21:38 Art not thou that Egyptian, which before these days madest an uproar, and leddest out into the wilderness four thousand men that were murderers?(KJV-1611) Act 21:38 Si se sa, se pa ou menm ki ejipsyen an, nonm ki te kòmanse yon revolisyon tou lòt jou a epi ki te mennen katmil bandi avè l' nan dezè a?(Creole-HT) ======= Acts 21:39 ============ Act 21:39 But Paul said, I am a man which am a Jew of Tarsus, a city in Cilicia, a citizen of no mean city: and, I beseech thee, suffer me to speak unto the people.(KJV-1611) Act 21:39 Pòl reponn li: Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Ou wè se sitwayen yon gwo lavil mwen ye. Tanpri, kite m' pale ak pèp la.(Creole-HT) ======= Acts 21:40 ============ Act 21:40 And when he had given him licence, Paul stood on the stairs, and beckoned with the hand unto the people. And when there was made a great silence, he spake unto them in the Hebrew tongue, saying,(KJV-1611) Act 21:40 Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:(Creole-HT) ======= Acts 22:1 ============ Act 22:1 Men, brethren, and fathers, hear ye my defence which I make now unto you.(KJV-1611) Act 22:1 Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen.(Creole-HT) ======= Acts 22:2 ============ Act 22:2 (And when they heard that he spake in the Hebrew tongue to them, they kept the more silence: and he saith,)(KJV-1611) Act 22:2 Lè yo tande l' ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo:(Creole-HT) ======= Acts 22:3 ============ Act 22:3 I am verily a man which am a Jew, born in Tarsus, a city in Cilicia, yet brought up in this city at the feet of Gamaliel, and taught according to the perfect manner of the law of the fathers, and was zealous toward God, as ye all are this day.(KJV-1611) Act 22:3 Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 22:4 ============ Act 22:4 And I persecuted this way unto the death, binding and delivering into prisons both men and women.(KJV-1611) Act 22:4 Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m' te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon.(Creole-HT) ======= Acts 22:5 ============ Act 22:5 As also the high priest doth bear me witness, and all the estate of the elders: from whom also I received letters unto the brethren, and went to Damascus, to bring them which were there bound unto Jerusalem, for to be punished.(KJV-1611) Act 22:5 Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m' lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen tapral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.(Creole-HT) ======= Acts 22:6 ============ Act 22:6 And it came to pass, that, as I made my journey, and was come nigh unto Damascus about noon, suddenly there shone from heaven a great light round about me.(KJV-1611) Act 22:6 Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m' rete konsa yon gwo limyè soti nan syèl la, li klere tout kote m' te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa.(Creole-HT) ======= Acts 22:7 ============ Act 22:7 And I fell unto the ground, and heard a voice saying unto me, Saul, Saul, why persecutest thou me?(KJV-1611) Act 22:7 Mwen tonbe atè, epi m' tande yon vwa ki di m': Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?(Creole-HT) ======= Acts 22:8 ============ Act 22:8 And I answered, Who art thou, Lord? And he said unto me, I am Jesus of Nazareth, whom thou persecutest.(KJV-1611) Act 22:8 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a.(Creole-HT) ======= Acts 22:9 ============ Act 22:9 And they that were with me saw indeed the light, and were afraid; but they heard not the voice of him that spake to me.(KJV-1611) Act 22:9 Moun ki te la avè m' yo te wè limyè a tou, men yo pa t' tande vwa ki t'ap pale avè m' lan.(Creole-HT) ======= Acts 22:10 ============ Act 22:10 And I said, What shall I do, LORD? And the Lord said unto me, Arise, and go into Damascus; and there it shall be told thee of all things which are appointed for thee to do.(KJV-1611) Act 22:10 Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m' fè, Seyè? Seyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè.(Creole-HT) ======= Acts 22:11 ============ Act 22:11 And when I could not see for the glory of that light, being led by the hand of them that were with me, I came into Damascus.(KJV-1611) Act 22:11 Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m' ki mennen m' Damas.(Creole-HT) ======= Acts 22:12 ============ Act 22:12 And one Ananias, a devout man according to the law, having a good report of all the Jews which dwelt there,(KJV-1611) Act 22:12 Nan Damas te gen yon nonm yo rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan Lalwa nou an mande l' la. Tout jwif Damas yo te konsidere l' anpil.(Creole-HT) ======= Acts 22:13 ============ Act 22:13 Came unto me, and stood, and said unto me, Brother Saul, receive thy sight. And the same hour I looked up upon him.(KJV-1611) Act 22:13 Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m', epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li.(Creole-HT) ======= Acts 22:14 ============ Act 22:14 And he said, The God of our fathers hath chosen thee, that thou shouldest know his will, and see that Just One, and shouldest hear the voice of his mouth.(KJV-1611) Act 22:14 Li di m' konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l', pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l' pale ak bouch li.(Creole-HT) ======= Acts 22:15 ============ Act 22:15 For thou shalt be his witness unto all men of what thou hast seen and heard.(KJV-1611) Act 22:15 Ou pral sèvi l' temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.(Creole-HT) ======= Acts 22:16 ============ Act 22:16 And now why tarriest thou? arise, and be baptized, and wash away thy sins, calling on the name of the Lord.(KJV-1611) Act 22:16 Koulye a, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.(Creole-HT) ======= Acts 22:17 ============ Act 22:17 And it came to pass, that, when I was come again to Jerusalem, even while I prayed in the temple, I was in a trance;(KJV-1611) Act 22:17 Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m' te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon.(Creole-HT) ======= Acts 22:18 ============ Act 22:18 And saw him saying unto me, Make haste, and get thee quickly out of Jerusalem: for they will not receive thy testimony concerning me.(KJV-1611) Act 22:18 Mwen wè Seyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an.(Creole-HT) ======= Acts 22:19 ============ Act 22:19 And I said, Lord, they know that I imprisoned and beat in every synagogue them that believed on thee:(KJV-1611) Act 22:19 Mwen reponn: Seyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat.(Creole-HT) ======= Acts 22:20 ============ Act 22:20 And when the blood of thy martyr Stephen was shed, I also was standing by, and consenting unto his death, and kept the raiment of them that slew him.(KJV-1611) Act 22:20 Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo.(Creole-HT) ======= Acts 22:21 ============ Act 22:21 And he said unto me, Depart: for I will send thee far hence unto the Gentiles.(KJV-1611) Act 22:21 Lè sa a, Seyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo.(Creole-HT) ======= Acts 22:22 ============ Act 22:22 And they gave him audience unto this word, and then lifted up their voices, and said, Away with such a fellow from the earth: for it is not fit that he should live.(KJV-1611) Act 22:22 Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò!(Creole-HT) ======= Acts 22:23 ============ Act 22:23 And as they cried out, and cast off their clothes, and threw dust into the air,(KJV-1611) Act 22:23 Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè.(Creole-HT) ======= Acts 22:24 ============ Act 22:24 The chief captain commanded him to be brought into the castle, and bade that he should be examined by scourging; that he might know wherefore they cried so against him.(KJV-1611) Act 22:24 Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l' pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l' konsa.(Creole-HT) ======= Acts 22:25 ============ Act 22:25 And as they bound him with thongs, Paul said unto the centurion that stood by, Is it lawful for you to scourge a man that is a Roman, and uncondemned?(KJV-1611) Act 22:25 Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?(Creole-HT) ======= Acts 22:26 ============ Act 22:26 When the centurion heard that, he went and told the chief captain, saying, Take heed what thou doest: for this man is a Roman.(KJV-1611) Act 22:26 Lè l' tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li: Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi.(Creole-HT) ======= Acts 22:27 ============ Act 22:27 Then the chief captain came, and said unto him, Tell me, art thou a Roman? He said, Yea.(KJV-1611) Act 22:27 Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li: Di mwen, èske se sitwayen women ou ye? Pòl reponn li: Wi.(Creole-HT) ======= Acts 22:28 ============ Act 22:28 And the chief captain answered, With a great sum obtained I this freedom. And Paul said, But I was free born.(KJV-1611) Act 22:28 Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women.(Creole-HT) ======= Acts 22:29 ============ Act 22:29 Then straightway they departed from him which should have examined him: and the chief captain also was afraid, after he knew that he was a Roman, and because he had bound him.(KJV-1611) Act 22:29 Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn.(Creole-HT) ======= Acts 22:30 ============ Act 22:30 On the morrow, because he would have known the certainty wherefore he was accused of the Jews, he loosed him from his bands, and commanded the chief priests and all their council to appear, and brought Paul down, and set him before them.(KJV-1611) Act 22:30 Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.(Creole-HT) ======= Acts 23:1 ============ Act 23:1 And Paul, earnestly beholding the council, said, Men and brethren, I have lived in all good conscience before God until this day.(KJV-1611) Act 23:1 Pòl fikse je l' sou manm Gran Konsèy yo, li di: Frè m' yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a.(Creole-HT) ======= Acts 23:2 ============ Act 23:2 And the high priest Ananias commanded them that stood by him to smite him on the mouth.(KJV-1611) Act 23:2 Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt.(Creole-HT) ======= Acts 23:3 ============ Act 23:3 Then said Paul unto him, God shall smite thee, thou whited wall: for sittest thou to judge me after the law, and commandest me to be smitten contrary to the law?(KJV-1611) Act 23:3 Lè sa a Pòl di li: Ou pòtre yon miray blanchi ak lacho! Se Bondye ki va frape ou. Ou chita la pou jije m' dapre Lalwa Bondye a. Men, se ou menm k'ap dezobeyi Lalwa Bondye a lè ou bay lòd frape m' lan.(Creole-HT) ======= Acts 23:4 ============ Act 23:4 And they that stood by said, Revilest thou God's high priest?(KJV-1611) Act 23:4 Moun ki te toupre Pòl yo di li: Apa w'ap joure granprèt Bondye a?(Creole-HT) ======= Acts 23:5 ============ Act 23:5 Then said Paul, I wist not, brethren, that he was the high priest: for it is written, Thou shalt not speak evil of the ruler of thy people.(KJV-1611) Act 23:5 Pòl reponn: Eskize m', frè m'. Mwen pa t' konnen se granprèt msye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal.(Creole-HT) ======= Acts 23:6 ============ Act 23:6 But when Paul perceived that the one part were Sadducees, and the other Pharisees, he cried out in the council, Men and brethren, I am a Pharisee, the son of a Pharisee: of the hope and resurrection of the dead I am called in question.(KJV-1611) Act 23:6 Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou.(Creole-HT) ======= Acts 23:7 ============ Act 23:7 And when he had so said, there arose a dissension between the Pharisees and the Sadducees: and the multitude was divided.(KJV-1611) Act 23:7 Lè l' di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo; asanble a fè de kan.(Creole-HT) ======= Acts 23:8 ============ Act 23:8 For the Sadducees say that there is no resurrection, neither angel, nor spirit: but the Pharisees confess both.(KJV-1611) Act 23:8 (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.)(Creole-HT) ======= Acts 23:9 ============ Act 23:9 And there arose a great cry: and the scribes that were of the Pharisees' part arose, and strove, saying, We find no evil in this man: but if a spirit or an angel hath spoken to him, let us not fight against God.(KJV-1611) Act 23:9 Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li.(Creole-HT) ======= Acts 23:10 ============ Act 23:10 And when there arose a great dissension, the chief captain, fearing lest Paul should have been pulled in pieces of them, commanded the soldiers to go down, and to take him by force from among them, and to bring him into the castle.(KJV-1611) Act 23:10 Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pa t' dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l' tounen nan kazèn lan.(Creole-HT) ======= Acts 23:11 ============ Act 23:11 And the night following the Lord stood by him, and said, Be of good cheer, Paul: for as thou hast testified of me in Jerusalem, so must thou bear witness also at Rome.(KJV-1611) Act 23:11 Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.(Creole-HT) ======= Acts 23:12 ============ Act 23:12 And when it was day, certain of the Jews banded together, and bound themselves under a curse, saying that they would neither eat nor drink till they had killed Paul.(KJV-1611) Act 23:12 Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 23:13 ============ Act 23:13 And they were more than forty which had made this conspiracy.(KJV-1611) Act 23:13 Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a.(Creole-HT) ======= Acts 23:14 ============ Act 23:14 And they came to the chief priests and elders, and said, We have bound ourselves under a great curse, that we will eat nothing until we have slain Paul.(KJV-1611) Act 23:14 Y' al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 23:15 ============ Act 23:15 Now therefore ye with the council signify to the chief captain that he bring him down unto you to morrow, as though ye would enquire something more perfectly concerning him: and we, or ever he come near, are ready to kill him.(KJV-1611) Act 23:15 Koulye a, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l' mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n' touye l' anvan l' gen tan rive isit.(Creole-HT) ======= Acts 23:16 ============ Act 23:16 And when Paul's sister's son heard of their lying in wait, he went and entered into the castle, and told Paul.(KJV-1611) Act 23:16 Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. li al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 23:17 ============ Act 23:17 Then Paul called one of the centurions unto him, and said, Bring this young man unto the chief captain: for he hath a certain thing to tell him.(KJV-1611) Act 23:17 Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: Mennen jenn gason sa a bò kot kòmandan an: li gen kichòy pou l' di li.(Creole-HT) ======= Acts 23:18 ============ Act 23:18 So he took him, and brought him to the chief captain, and said, Paul the prisoner called me unto him, and prayed me to bring this young man unto thee, who hath something to say unto thee.(KJV-1611) Act 23:18 Ofisye a pran jenn gason an avè l', li mennen l' bay kòmandan an, li di: Prizonye yo rele Pòl la rele m', li mande m' pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy.(Creole-HT) ======= Acts 23:19 ============ Act 23:19 Then the chief captain took him by the hand, and went with him aside privately, and asked him, What is that thou hast to tell me?(KJV-1611) Act 23:19 Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l' sou kote, li mande li: Kisa ou gen pou di mwen?(Creole-HT) ======= Acts 23:20 ============ Act 23:20 And he said, The Jews have agreed to desire thee that thou wouldest bring down Paul to morrow into the council, as though they would enquire somewhat of him more perfectly.(KJV-1611) Act 23:20 Li reponn: Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka msye pi byen.(Creole-HT) ======= Acts 23:21 ============ Act 23:21 But do not thou yield unto them: for there lie in wait for him of them more than forty men, which have bound themselves with an oath, that they will neither eat nor drink till they have killed him: and now are they ready, looking for a promise from thee.(KJV-1611) Act 23:21 Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Koulye a yo fin pare nèt, se respons ou ase y'ap tann.(Creole-HT) ======= Acts 23:22 ============ Act 23:22 So the chief captain then let the young man depart, and charged him, See thou tell no man that thou hast shewed these things to me.(KJV-1611) Act 23:22 Kòmandan an di l' konsa: Pa kite pesonn konnen ou te vin di m' sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li.(Creole-HT) ======= Acts 23:23 ============ Act 23:23 And he called unto him two centurions, saying, Make ready two hundred soldiers to go to Caesarea, and horsemen threescore and ten, and spearmen two hundred, at the third hour of the night;(KJV-1611) Act 23:23 Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè.(Creole-HT) ======= Acts 23:24 ============ Act 23:24 And provide them beasts, that they may set Paul on, and bring him safe unto Felix the governor.(KJV-1611) Act 23:24 Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l' ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè.(Creole-HT) ======= Acts 23:25 ============ Act 23:25 And he wrote a letter after this manner:(KJV-1611) Act 23:25 Epi li ekri lèt sa a:(Creole-HT) ======= Acts 23:26 ============ Act 23:26 Claudius Lysias unto the most excellent governor Felix sendeth greeting.(KJV-1611) Act 23:26 Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l' pou chèf li, gouvènè Feliks.(Creole-HT) ======= Acts 23:27 ============ Act 23:27 This man was taken of the Jews, and should have been killed of them: then came I with an army, and rescued him, having understood that he was a Roman.(KJV-1611) Act 23:27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo tapral touye l' lè m' vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m' yo, mwen delivre li.(Creole-HT) ======= Acts 23:28 ============ Act 23:28 And when I would have known the cause wherefore they accused him, I brought him forth into their council:(KJV-1611) Act 23:28 Mwen mennen l' devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa.(Creole-HT) ======= Acts 23:29 ============ Act 23:29 Whom I perceived to be accused of questions of their law, but to have nothing laid to his charge worthy of death or of bonds.(KJV-1611) Act 23:29 Mwen wè li pa t' fè anyen ki pou ta fè yo touye l' ni pou yo mete l' nan prizon. Yo t'ap akize l' dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a.(Creole-HT) ======= Acts 23:30 ============ Act 23:30 And when it was told me how that the Jews laid wait for the man, I sent straightway to thee, and gave commandment to his accusers also to say before thee what they had against him. Farewell.(KJV-1611) Act 23:30 Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou.(Creole-HT) ======= Acts 23:31 ============ Act 23:31 Then the soldiers, as it was commanded them, took Paul, and brought him by night to Antipatris.(KJV-1611) Act 23:31 Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm.(Creole-HT) ======= Acts 23:32 ============ Act 23:32 On the morrow they left the horsemen to go with him, and returned to the castle:(KJV-1611) Act 23:32 Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 23:33 ============ Act 23:33 Who, when they came to Caesarea and delivered the epistle to the governor, presented Paul also before him.(KJV-1611) Act 23:33 Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li.(Creole-HT) ======= Acts 23:34 ============ Act 23:34 And when the governor had read the letter, he asked of what province he was. And when he understood that he was of Cilicia;(KJV-1611) Act 23:34 Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l' vin konnen se moun Silisi li ye, li di li:(Creole-HT) ======= Acts 23:35 ============ Act 23:35 I will hear thee, said he, when thine accusers are also come. And he commanded him to be kept in Herod's judgment hall.(KJV-1611) Act 23:35 Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.(Creole-HT) ======= Acts 24:1 ============ Act 24:1 And after five days Ananias the high priest descended with the elders, and with a certain orator named Tertullus, who informed the governor against Paul.(KJV-1611) Act 24:1 Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 24:2 ============ Act 24:2 And when he was called forth, Tertullus began to accuse him, saying, Seeing that by thee we enjoy great quietness, and that very worthy deeds are done unto this nation by thy providence,(KJV-1611) Act 24:2 Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tetilis kòmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann.(Creole-HT) ======= Acts 24:3 ============ Act 24:3 We accept it always, and in all places, most noble Felix, with all thankfulness.(KJV-1611) Act 24:3 Pou tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Acts 24:4 ============ Act 24:4 Notwithstanding, that I be not further tedious unto thee, I pray thee that thou wouldest hear us of thy clemency a few words.(KJV-1611) Act 24:4 Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n' di ou la a. Nou p'ap pale anpil.(Creole-HT) ======= Acts 24:5 ============ Act 24:5 For we have found this man a pestilent fellow, and a mover of sedition among all the Jews throughout the world, and a ringleader of the sect of the Nazarenes:(KJV-1611) Act 24:5 Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.(Creole-HT) ======= Acts 24:6 ============ Act 24:6 Who also hath gone about to profane the temple: whom we took, and would have judged according to our law.(KJV-1611) Act 24:6 Li menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l'. Nou te vle jije l' dapre Lalwa nou an.(Creole-HT) ======= Acts 24:7 ============ Act 24:7 But the chief captain Lysias came upon us, and with great violence took him away out of our hands,(KJV-1611) Act 24:7 Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou.(Creole-HT) ======= Acts 24:8 ============ Act 24:8 Commanding his accusers to come unto thee: by examining of whom thyself mayest take knowledge of all these things, whereof we accuse him.(KJV-1611) Act 24:8 Apre sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l' yo lòd pou yo vin parèt devan ou. Si ou poze nonm sa a keksyon, wa wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.(Creole-HT) ======= Acts 24:9 ============ Act 24:9 And the Jews also assented, saying that these things were so.(KJV-1611) Act 24:9 Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.(Creole-HT) ======= Acts 24:10 ============ Act 24:10 Then Paul, after that the governor had beckoned unto him to speak, answered, Forasmuch as I know that thou hast been of many years a judge unto this nation, I do the more cheerfully answer for myself:(KJV-1611) Act 24:10 Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.(Creole-HT) ======= Acts 24:11 ============ Act 24:11 Because that thou mayest understand, that there are yet but twelve days since I went up to Jerusalem for to worship.(KJV-1611) Act 24:11 Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou m' al fè sèvis pou Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 24:12 ============ Act 24:12 And they neither found me in the temple disputing with any man, neither raising up the people, neither in the synagogues, nor in the city:(KJV-1611) Act 24:12 Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pesonn nan tanp lan, yo pa bare m' ap moute tèt pesonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la.(Creole-HT) ======= Acts 24:13 ============ Act 24:13 Neither can they prove the things whereof they now accuse me.(KJV-1611) Act 24:13 Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a.(Creole-HT) ======= Acts 24:14 ============ Act 24:14 But this I confess unto thee, that after the way which they call heresy, so worship I the God of my fathers, believing all things which are written in the law and in the prophets:(KJV-1611) Act 24:14 Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Acts 24:15 ============ Act 24:15 And have hope toward God, which they themselves also allow, that there shall be a resurrection of the dead, both of the just and unjust.(KJV-1611) Act 24:15 Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l' tou; yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 24:16 ============ Act 24:16 And herein do I exercise myself, to have always a conscience void to offence toward God, and toward men.(KJV-1611) Act 24:16 Se konsa m'ap fè posib mwen pou m' toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun.(Creole-HT) ======= Acts 24:17 ============ Act 24:17 Now after many years I came to bring alms to my nation, and offerings.(KJV-1611) Act 24:17 Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye.(Creole-HT) ======= Acts 24:18 ============ Act 24:18 Whereupon certain Jews from Asia found me purified in the temple, neither with multitude, nor with tumult.(KJV-1611) Act 24:18 Men sa m' t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m', pa te gen kras dezòd.(Creole-HT) ======= Acts 24:19 ============ Act 24:19 Who ought to have been here before thee, and object, if they had ought against me.(KJV-1611) Act 24:19 Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen.(Creole-HT) ======= Acts 24:20 ============ Act 24:20 Or else let these same here say, if they have found any evil doing in me, while I stood before the council,(KJV-1611) Act 24:20 Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m' te kanpe devan Gran Konsèy la.(Creole-HT) ======= Acts 24:21 ============ Act 24:21 Except it be for this one voice, that I cried standing among them, Touching the resurrection of the dead I am called in question by you this day.(KJV-1611) Act 24:21 Men sèl pawòl mwen te di byen fò lè m' te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m' an jijman devan nou jòdi a.(Creole-HT) ======= Acts 24:22 ============ Act 24:22 And when Felix heard these things, having more perfect knowledge of that way, he deferred them, and said, When Lysias the chief captain shall come down, I will know the uttermost of your matter.(KJV-1611) Act 24:22 Feliks ki te okouran tout bagay sou chemen Bondye a, ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo konsa: Lè kòmandan Lizyas va vini, m'a pran yon desizyon sou zafè sa a.(Creole-HT) ======= Acts 24:23 ============ Act 24:23 And he commanded a centurion to keep Paul, and to let him have liberty, and that he should forbid none of his acquaintance to minister or come unto him.(KJV-1611) Act 24:23 Li bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l' pa lage l', men pou l' ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l' yo rann li ti sèvis.(Creole-HT) ======= Acts 24:24 ============ Act 24:24 And after certain days, when Felix came with his wife Drusilla, which was a Jewess, he sent for Paul, and heard him concerning the faith in Christ.(KJV-1611) Act 24:24 Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l' di sou konfyans nan Jezikri a.(Creole-HT) ======= Acts 24:25 ============ Act 24:25 And as he reasoned of righteousness, temperance, and judgment to come, Felix trembled, and answered, Go thy way for this time; when I have a convenient season, I will call for thee.(KJV-1611) Act 24:25 Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò.(Creole-HT) ======= Acts 24:26 ============ Act 24:26 He hoped also that money should have been given him of Paul, that he might loose him: wherefore he sent for him the oftener, and communed with him.(KJV-1611) Act 24:26 Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li.(Creole-HT) ======= Acts 24:27 ============ Act 24:27 But after two years Porcius Festus came into Felix' room: and Felix, willing to shew the Jews a pleasure, left Paul bound.(KJV-1611) Act 24:27 Dezan pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.(Creole-HT) ======= Acts 25:1 ============ Act 25:1 Now when Festus was come into the province, after three days he ascended from Caesarea to Jerusalem.(KJV-1611) Act 25:1 Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, li ale lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 25:2 ============ Act 25:2 Then the high priest and the chief of the Jews informed him against Paul, and besought him,(KJV-1611) Act 25:2 Chèf prèt yo ansanm ak jwif ki te grannèg nan lavil la vin pote plent ba li pou Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 25:3 ============ Act 25:3 And desired favour against him, that he would send for him to Jerusalem, laying wait in the way to kill him.(KJV-1611) Act 25:3 Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la.(Creole-HT) ======= Acts 25:4 ============ Act 25:4 But Festus answered, that Paul should be kept at Caesarea, and that he himself would depart shortly thither.(KJV-1611) Act 25:4 Men, Festis reponn yo: Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m', mwen pral tounen Sezare talè konsa.(Creole-HT) ======= Acts 25:5 ============ Act 25:5 Let them therefore, said he, which among you are able, go down with me, and accuse this man, if there be any wickedness in him.(KJV-1611) Act 25:5 Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a.(Creole-HT) ======= Acts 25:6 ============ Act 25:6 And when he had tarried among them more than ten days, he went down unto Caesarea; and the next day sitting on the judgment seat commanded Paul to be brought.(KJV-1611) Act 25:6 Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, li al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 25:7 ============ Act 25:7 And when he was come, the Jews which came down from Jerusalem stood round about, and laid many and grievous complaints against Paul, which they could not prove.(KJV-1611) Act 25:7 Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv.(Creole-HT) ======= Acts 25:8 ============ Act 25:8 While he answered for himself, Neither against the law of the Jews, neither against the temple, nor yet against Caesar, have I offended any thing at all.(KJV-1611) Act 25:8 Men sa Pòl di pou defann tèt li: Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.(Creole-HT) ======= Acts 25:9 ============ Act 25:9 But Festus, willing to do the Jews a pleasure, answered Paul, and said, Wilt thou go up to Jerusalem, and there be judged of these things before me?(KJV-1611) Act 25:9 Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m' sou zafè sa a?(Creole-HT) ======= Acts 25:10 ============ Act 25:10 Then said Paul, I stand at Caesar's judgment seat, where I ought to be judged: to the Jews have I done no wrong, as thou very well knowest.(KJV-1611) Act 25:10 Pòl reponn li: Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp.(Creole-HT) ======= Acts 25:11 ============ Act 25:11 For if I be an offender, or have committed any thing worthy of death, I refuse not to die: but if there be none of these things whereof these accuse me, no man may deliver me unto them. I appeal unto Caesar.(KJV-1611) Act 25:11 Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen.(Creole-HT) ======= Acts 25:12 ============ Act 25:12 Then Festus, when he had conferred with the council, answered, Hast thou appealed unto Caesar? unto Caesar shalt thou go.(KJV-1611) Act 25:12 Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l' di: Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza.(Creole-HT) ======= Acts 25:13 ============ Act 25:13 And after certain days king Agrippa and Bernice came unto Caesarea to salute Festus.(KJV-1611) Act 25:13 Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou.(Creole-HT) ======= Acts 25:14 ============ Act 25:14 And when they had been there many days, Festus declared Paul's cause unto the king, saying, There is a certain man left in bonds by Felix:(KJV-1611) Act 25:14 Yo t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitiyasyon Pòl la bay wa a, li di li: Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la.(Creole-HT) ======= Acts 25:15 ============ Act 25:15 About whom, when I was at Jerusalem, the chief priests and the elders of the Jews informed me, desiring to have judgment against him.(KJV-1611) Act 25:15 Lè m' te al Jerizalèm chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li, yo mande m' pou m' kondannen li.(Creole-HT) ======= Acts 25:16 ============ Act 25:16 To whom I answered, It is not the manner of the Romans to deliver any man to die, before that he which is accused have the accusers face to face, and have licence to answer for himself concerning the crime laid against him.(KJV-1611) Act 25:16 Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l' konsa san yo pa mete l' fasafas ak moun k'ap akize l' yo anvan. Se pou l' gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo.(Creole-HT) ======= Acts 25:17 ============ Act 25:17 Therefore, when they were come hither, without any delay on the morrow I sat on the judgment seat, and commanded the man to be brought forth.(KJV-1611) Act 25:17 Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pa t' pèdi tan mwen. Nan denmen m' al chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan.(Creole-HT) ======= Acts 25:18 ============ Act 25:18 Against whom when the accusers stood up, they brought none accusation of such things as I supposed:(KJV-1611) Act 25:18 Moun ki t'ap akize l' yo vin parèt tou, men yo pa t' bay okenn move zak li te fè, jan m' te kwè a.(Creole-HT) ======= Acts 25:19 ============ Act 25:19 But had certain questions against him of their own superstition, and of one Jesus, which was dead, whom Paul affirmed to be alive.(KJV-1611) Act 25:19 Se yon diskisyon sèlman yo te gen avè l' sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò.(Creole-HT) ======= Acts 25:20 ============ Act 25:20 And because I doubted of such manner of questions, I asked him whether he would go to Jerusalem, and there be judged of these matters.(KJV-1611) Act 25:20 Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la.(Creole-HT) ======= Acts 25:21 ============ Act 25:21 But when Paul had appealed to be reserved unto the hearing of Augustus, I commanded him to be kept till I might send him to Caesar.(KJV-1611) Act 25:21 Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l' nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l' jouk m'a ka voye l' bay Seza.(Creole-HT) ======= Acts 25:22 ============ Act 25:22 Then Agrippa said unto Festus, I would also hear the man myself. To morrow, said he, thou shalt hear him.(KJV-1611) Act 25:22 Agripa di Festis konsa: Mwen ta renmen tande nonm sa a. Festis reponn li: Denmen wa tande li.(Creole-HT) ======= Acts 25:23 ============ Act 25:23 And on the morrow, when Agrippa was come, and Bernice, with great pomp, and was entered into the place of hearing, with the chief captains, and principal men of the city, at Festus' commandment Paul was brought forth.(KJV-1611) Act 25:23 Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini.(Creole-HT) ======= Acts 25:24 ============ Act 25:24 And Festus said, King Agrippa, and all men which are here present with us, ye see this man, about whom all the multitude of the Jews have dealt with me, both at Jerusalem, and also here, crying that he ought not to live any longer.(KJV-1611) Act 25:24 Apre sa, Festis di: Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m' plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l' mouri deja.(Creole-HT) ======= Acts 25:25 ============ Act 25:25 But when I found that he had committed nothing worthy of death, and that he himself hath appealed to Augustus, I have determined to send him.(KJV-1611) Act 25:25 Mwen menm, pou tèt pa m', mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l' bay Seza.(Creole-HT) ======= Acts 25:26 ============ Act 25:26 Of whom I have no certain thing to write unto my lord. Wherefore I have brought him forth before you, and specially before thee, O king Agrippa, that, after examination had, I might have somewhat to write.(KJV-1611) Act 25:26 Mwen pa gen anyen ki sèten pou m' ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l' konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m' ekri lè n'a fin poze l' keksyon.(Creole-HT) ======= Acts 25:27 ============ Act 25:27 For it seemeth to me unreasonable to send a prisoner, and not withal to signify the crimes laid against him.(KJV-1611) Act 25:27 Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.(Creole-HT) ======= Acts 26:1 ============ Act 26:1 Then Agrippa said unto Paul, Thou art permitted to speak for thyself. Then Paul stretched forth the hand, and answered for himself:(KJV-1611) Act 26:1 Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa:(Creole-HT) ======= Acts 26:2 ============ Act 26:2 I think myself happy, king Agrippa, because I shall answer for myself this day before thee touching all the things whereof I am accused of the Jews:(KJV-1611) Act 26:2 Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen.(Creole-HT) ======= Acts 26:3 ============ Act 26:3 Especially because I know thee to be expert in all customs and questions which are among the Jews: wherefore I beseech thee to hear me patiently.(KJV-1611) Act 26:3 Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite keksyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen.(Creole-HT) ======= Acts 26:4 ============ Act 26:4 My manner of life from my youth, which was at the first among mine own nation at Jerusalem, know all the Jews;(KJV-1611) Act 26:4 Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Acts 26:5 ============ Act 26:5 Which knew me from the beginning, if they would testify, that after the most straitest sect of our religion I lived a Pharisee.(KJV-1611) Act 26:5 Yo konnen m' depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwayaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an.(Creole-HT) ======= Acts 26:6 ============ Act 26:6 And now I stand and am judged for the hope of the promise made of God, unto our fathers:(KJV-1611) Act 26:6 Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Acts 26:7 ============ Act 26:7 Unto which promise our twelve tribes, instantly serving God day and night, hope to come. For which hope's sake, king Agrippa, I am accused of the Jews.(KJV-1611) Act 26:7 Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa.(Creole-HT) ======= Acts 26:8 ============ Act 26:8 Why should it be thought a thing incredible with you, that God should raise the dead?(KJV-1611) Act 26:8 Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri?(Creole-HT) ======= Acts 26:9 ============ Act 26:9 I verily thought with myself, that I ought to do many things contrary to the name of Jesus of Nazareth.(KJV-1611) Act 26:9 Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la.(Creole-HT) ======= Acts 26:10 ============ Act 26:10 Which thing I also did in Jerusalem: and many of the saints did I shut up in prison, having received authority from the chief priests; and when they were put to death, I gave my voice against them.(KJV-1611) Act 26:10 Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.(Creole-HT) ======= Acts 26:11 ============ Act 26:11 And I punished them oft in every synagogue, and compelled them to blaspheme; and being exceedingly mad against them, I persecuted them even unto strange cities.(KJV-1611) Act 26:11 Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.(Creole-HT) ======= Acts 26:12 ============ Act 26:12 Whereupon as I went to Damascus with authority and commission from the chief priests,(KJV-1611) Act 26:12 Se konsa, mwen tapral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen.(Creole-HT) ======= Acts 26:13 ============ Act 26:13 At midday, O king, I saw in the way a light from heaven, above the brightness of the sun, shining round about me and them which journeyed with me.(KJV-1611) Act 26:13 Antan m' te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m' te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m' yo.(Creole-HT) ======= Acts 26:14 ============ Act 26:14 And when we were all fallen to the earth, I heard a voice speaking unto me, and saying in the Hebrew tongue, Saul, Saul, why persecutest thou me? it is hard for thee to kick against the pricks.(KJV-1611) Act 26:14 Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li.(Creole-HT) ======= Acts 26:15 ============ Act 26:15 And I said, Who art thou, Lord? And he said, I am Jesus whom thou persecutest.(KJV-1611) Act 26:15 Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi l' di m': Mwen se Jezi w'ap pèsekite a.(Creole-HT) ======= Acts 26:16 ============ Act 26:16 But rise, and stand upon thy feet: for I have appeared unto thee for this purpose, to make thee a minister and a witness both of these things which thou hast seen, and of those things in the which I will appear unto thee;(KJV-1611) Act 26:16 Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa.(Creole-HT) ======= Acts 26:17 ============ Act 26:17 Delivering thee from the people, and from the Gentiles, unto whom now I send thee,(KJV-1611) Act 26:17 M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo,(Creole-HT) ======= Acts 26:18 ============ Act 26:18 To open their eyes, and to turn them from darkness to light, and from the power of Satan unto God, that they may receive forgiveness of sins, and inheritance among them which are sanctified by faith that is in me.(KJV-1611) Act 26:18 pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Acts 26:19 ============ Act 26:19 Whereupon, O king Agrippa, I was not disobedient unto the heavenly vision:(KJV-1611) Act 26:19 Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= Acts 26:20 ============ Act 26:20 But shewed first unto them of Damascus, and at Jerusalem, and throughout all the coasts of Judaea, and then to the Gentiles, that they should repent and turn to God, and do works meet for repentance.(KJV-1611) Act 26:20 Mwen kòmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesaj la. Apre sa, m' ale nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon.(Creole-HT) ======= Acts 26:21 ============ Act 26:21 For these causes the Jews caught me in the temple, and went about to kill me.(KJV-1611) Act 26:21 Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen.(Creole-HT) ======= Acts 26:22 ============ Act 26:22 Having therefore obtained help of God, I continue unto this day, witnessing both to small and great, saying none other things than those which the prophets and Moses did say should come:(KJV-1611) Act 26:22 Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.(Creole-HT) ======= Acts 26:23 ============ Act 26:23 That Christ should suffer, and that he should be the first that should rise from the dead, and should shew light unto the people, and to the Gentiles.(KJV-1611) Act 26:23 Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.(Creole-HT) ======= Acts 26:24 ============ Act 26:24 And as he thus spake for himself, Festus said with a loud voice, Paul, thou art beside thyself; much learning doth make thee mad.(KJV-1611) Act 26:24 Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou.(Creole-HT) ======= Acts 26:25 ============ Act 26:25 But he said, I am not mad, most noble Festus; but speak forth the words of truth and soberness.(KJV-1611) Act 26:25 Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans.(Creole-HT) ======= Acts 26:26 ============ Act 26:26 For the king knoweth of these things, before whom also I speak freely: for I am persuaded that none of these things are hidden from him; for this thing was not done in a corner.(KJV-1611) Act 26:26 Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt.(Creole-HT) ======= Acts 26:27 ============ Act 26:27 King Agrippa, believest thou the prophets? I know that thou believest.(KJV-1611) Act 26:27 Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè.(Creole-HT) ======= Acts 26:28 ============ Act 26:28 Then Agrippa said unto Paul, Almost thou persuadest me to be a Christian.(KJV-1611) Act 26:28 Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen?(Creole-HT) ======= Acts 26:29 ============ Act 26:29 And Paul said, I would to God, that not only thou, but also all that hear me this day, were both almost, and altogether such as I am, except these bonds.(KJV-1611) Act 26:29 Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo!(Creole-HT) ======= Acts 26:30 ============ Act 26:30 And when he had thus spoken, the king rose up, and the governor, and Bernice, and they that sat with them:(KJV-1611) Act 26:30 Wa a, gwouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve.(Creole-HT) ======= Acts 26:31 ============ Act 26:31 And when they were gone aside, they talked between themselves, saying, This man doeth nothing worthy of death or of bonds.(KJV-1611) Act 26:31 Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 26:32 ============ Act 26:32 Then said Agrippa unto Festus, This man might have been set at liberty, if he had not appealed unto Caesar.(KJV-1611) Act 26:32 Agripa di Festis konsa: Si nonm sa a pa t' mande pou Seza tande l', ou ta ka lage l' wi.(Creole-HT) ======= Acts 27:1 ============ Act 27:1 And when it was determined that we should sail into Italy, they delivered Paul and certain other prisoners unto one named Julius, a centurion of Augustus' band.(KJV-1611) Act 27:1 Lè yo deside pou fè n' pati nan batiman pou peyi Itali, yo renmèt Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye nan men Jiliyis, kòmandan yon batayon lame Wòm lan yo te rele Batayon Seza.(Creole-HT) ======= Acts 27:2 ============ Act 27:2 And entering into a ship of Adramyttium, we launched, meaning to sail by the coasts of Asia; one Aristarchus, a Macedonian of Thessalonica, being with us.(KJV-1611) Act 27:2 Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou.(Creole-HT) ======= Acts 27:3 ============ Act 27:3 And the next day we touched at Sidon. And Julius courteously entreated Paul, and gave him liberty to go unto his friends to refresh himself.(KJV-1611) Act 27:3 Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l' pèmisyon pou li al wè zanmi l' yo pou li al chache sa l' te bezwen.(Creole-HT) ======= Acts 27:4 ============ Act 27:4 And when we had launched from thence, we sailed under Cyprus, because the winds were contrary.(KJV-1611) Act 27:4 Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat lil Chip, nou lonje kòt la sou anwo, paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.(Creole-HT) ======= Acts 27:5 ============ Act 27:5 And when we had sailed over the sea of Cilicia and Pamphylia, we came to Myra, a city of Lycia.(KJV-1611) Act 27:5 Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi.(Creole-HT) ======= Acts 27:6 ============ Act 27:6 And there the centurion found a ship of Alexandria sailing into Italy; and he put us therein.(KJV-1611) Act 27:6 Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te soti lavil Aleksandri tapral an Itali. Li fè nou anbake sou li.(Creole-HT) ======= Acts 27:7 ============ Act 27:7 And when we had sailed slowly many days, and scarce were come over against Cnidus, the wind not suffering us, we sailed under Crete, over against Salmone;(KJV-1611) Act 27:7 Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t' ban nou chans pou n' al pi lwen nan k'ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k'ap Salmone, vire anba lil Krèt.(Creole-HT) ======= Acts 27:8 ============ Act 27:8 And, hardly passing it, came unto a place which is called The fair havens; nigh whereunto was the city of Lasea.(KJV-1611) Act 27:8 Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze.(Creole-HT) ======= Acts 27:9 ============ Act 27:9 Now when much time was spent, and when sailing was now dangerous, because the fast was now already past, Paul admonished them,(KJV-1611) Act 27:9 Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje.(Creole-HT) ======= Acts 27:10 ============ Act 27:10 And said unto them, Sirs, I perceive that this voyage will be with hurt and much damage, not only of the lading and ship, but also of our lives.(KJV-1611) Act 27:10 Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou.(Creole-HT) ======= Acts 27:11 ============ Act 27:11 Nevertheless the centurion believed the master and the owner of the ship, more than those things which were spoken by Paul.(KJV-1611) Act 27:11 Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl.(Creole-HT) ======= Acts 27:12 ============ Act 27:12 And because the haven was not commodious to winter in, the more part advised to depart thence also, if by any means they might attain to Phenice, and there to winter; which is an haven of Crete, and lieth toward the south west and north west.(KJV-1611) Act 27:12 Pò a pa t' bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la.(Creole-HT) ======= Acts 27:13 ============ Act 27:13 And when the south wind blew softly, supposing that they had obtained their purpose, loosing thence, they sailed close by Crete.(KJV-1611) Act 27:13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.(Creole-HT) ======= Acts 27:14 ============ Act 27:14 But not long after there arose against it a tempestuous wind, called Euroclydon.(KJV-1611) Act 27:14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.(Creole-HT) ======= Acts 27:15 ============ Act 27:15 And when the ship was caught, and could not bear up into the wind, we let her drive.(KJV-1611) Act 27:15 Li pran trennen batiman an. pa t' gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l' pote n' ale.(Creole-HT) ======= Acts 27:16 ============ Act 27:16 And running under a certain island which is called Clauda, we had much work to come by the boat:(KJV-1611) Act 27:16 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.(Creole-HT) ======= Acts 27:17 ============ Act 27:17 Which when they had taken up, they used helps, undergirding the ship; and, fearing lest they should fall into the quicksands, strake sail, and so were driven.(KJV-1611) Act 27:17 Yo rale l' moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t' al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.(Creole-HT) ======= Acts 27:18 ============ Act 27:18 And we being exceedingly tossed with a tempest, the next day they lightened the ship;(KJV-1611) Act 27:18 Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.(Creole-HT) ======= Acts 27:19 ============ Act 27:19 And the third day we cast out with our own hands the tackling of the ship.(KJV-1611) Act 27:19 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.(Creole-HT) ======= Acts 27:20 ============ Act 27:20 And when neither sun nor stars in many days appeared, and no small tempest lay on us, all hope that we should be saved was then taken away.(KJV-1611) Act 27:20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n' wè sa, nou pèdi tout espwa sove.(Creole-HT) ======= Acts 27:21 ============ Act 27:21 But after long abstinence Paul stood forth in the midst of them, and said, Sirs, ye should have hearkened unto me, and not have loosed from Crete, and to have gained this harm and loss.(KJV-1611) Act 27:21 Moun ki te abò yo pa t' manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t' dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.(Creole-HT) ======= Acts 27:22 ============ Act 27:22 And now I exhort you to be of good cheer: for there shall be no loss of any man's life among you, but of the ship.(KJV-1611) Act 27:22 Men, koulye a, m'ap di nou pran kouraj. Pesonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi.(Creole-HT) ======= Acts 27:23 ============ Act 27:23 For there stood by me this night the angel of God, whose I am, and whom I serve,(KJV-1611) Act 27:23 Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',(Creole-HT) ======= Acts 27:24 ============ Act 27:24 Saying, Fear not, Paul; thou must be brought before Caesar: and, lo, God hath given thee all them that sail with thee.(KJV-1611) Act 27:24 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo.(Creole-HT) ======= Acts 27:25 ============ Act 27:25 Wherefore, sirs, be of good cheer: for I believe God, that it shall be even as it was told me.(KJV-1611) Act 27:25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.(Creole-HT) ======= Acts 27:26 ============ Act 27:26 Howbeit we must be cast upon a certain island.(KJV-1611) Act 27:26 Men, nou pral chwe sou yon zile.(Creole-HT) ======= Acts 27:27 ============ Act 27:27 But when the fourteenth night was come, as we were driven up and down in Adria, about midnight the shipmen deemed that they drew near to some country;(KJV-1611) Act 27:27 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè.(Creole-HT) ======= Acts 27:28 ============ Act 27:28 And sounded, and found it twenty fathoms: and when they had gone a little further, they sounded again, and found it fifteen fathoms.(KJV-1611) Act 27:28 Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l' nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.(Creole-HT) ======= Acts 27:29 ============ Act 27:29 Then fearing lest we should have fallen upon rocks, they cast four anchors out of the stern, and wished for the day.(KJV-1611) Act 27:29 Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve.(Creole-HT) ======= Acts 27:30 ============ Act 27:30 And as the shipmen were about to flee out of the ship, when they had let down the boat into the sea, under colour as though they would have cast anchors out of the foreship,(KJV-1611) Act 27:30 Marin yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.(Creole-HT) ======= Acts 27:31 ============ Act 27:31 Paul said to the centurion and to the soldiers, Except these abide in the ship, ye cannot be saved.(KJV-1611) Act 27:31 Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.(Creole-HT) ======= Acts 27:32 ============ Act 27:32 Then the soldiers cut off the ropes of the boat, and let her fall off.(KJV-1611) Act 27:32 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l' ale.(Creole-HT) ======= Acts 27:33 ============ Act 27:33 And while the day was coming on, Paul besought them all to take meat, saying, This day is the fourteenth day that ye have tarried and continued fasting, having taken nothing.(KJV-1611) Act 27:33 Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.(Creole-HT) ======= Acts 27:34 ============ Act 27:34 Wherefore I pray you to take some meat: for this is for your health: for there shall not an hair fall from the head of any of you.(KJV-1611) Act 27:34 Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l' pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.(Creole-HT) ======= Acts 27:35 ============ Act 27:35 And when he had thus spoken, he took bread, and gave thanks to God in presence of them all: and when he had broken it, he began to eat.(KJV-1611) Act 27:35 Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.(Creole-HT) ======= Acts 27:36 ============ Act 27:36 Then were they all of good cheer, and they also took some meat.(KJV-1611) Act 27:36 Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.(Creole-HT) ======= Acts 27:37 ============ Act 27:37 And we were in all in the ship two hundred threescore and sixteen souls.(KJV-1611) Act 27:37 Te gen desanswasannsèz moun antou abò batiman an.(Creole-HT) ======= Acts 27:38 ============ Act 27:38 And when they had eaten enough, they lightened the ship, and cast out the wheat into the sea.(KJV-1611) Act 27:38 Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.(Creole-HT) ======= Acts 27:39 ============ Act 27:39 And when it was day, they knew not the land: but they discovered a certain creek with a shore, into the which they were minded, if it were possible, to thrust in the ship.(KJV-1611) Act 27:39 Lè solèy leve, marin yo pa t' rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.(Creole-HT) ======= Acts 27:40 ============ Act 27:40 And when they had taken up the anchors, they committed themselves unto the sea, and loosed the rudder bands, and hoised up the mainsail to the wind, and made toward shore.(KJV-1611) Act 27:40 Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k'ap sou plaj la.(Creole-HT) ======= Acts 27:41 ============ Act 27:41 And falling into a place where two seas met, they ran the ship aground; and the forepart stuck fast, and remained unmoveable, but the hinder part was broken with the violence of the waves.(KJV-1611) Act 27:41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.(Creole-HT) ======= Acts 27:42 ============ Act 27:42 And the soldiers' counsel was to kill the prisoners, lest any of them should swim out, and escape.(KJV-1611) Act 27:42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t' naje sove.(Creole-HT) ======= Acts 27:43 ============ Act 27:43 But the centurion, willing to save Paul, kept them from their purpose; and commanded that they which could swim should cast themselves first into the sea, and get to land:(KJV-1611) Act 27:43 Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y' al atè.(Creole-HT) ======= Acts 27:44 ============ Act 27:44 And the rest, some on boards, and some on broken pieces of the ship. And so it came to pass, that they escaped all safe to land.(KJV-1611) Act 27:44 Lòt moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.(Creole-HT) ======= Acts 28:1 ============ Act 28:1 And when they were escaped, then they knew that the island was called Melita.(KJV-1611) Act 28:1 Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt.(Creole-HT) ======= Acts 28:2 ============ Act 28:2 And the barbarous people shewed us no little kindness: for they kindled a fire, and received us every one, because of the present rain, and because of the cold.(KJV-1611) Act 28:2 Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou.(Creole-HT) ======= Acts 28:3 ============ Act 28:3 And when Paul had gathered a bundle of sticks, and laid them on the fire, there came a viper out of the heat, and fastened on his hand.(KJV-1611) Act 28:3 Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li.(Creole-HT) ======= Acts 28:4 ============ Act 28:4 And when the barbarians saw the venomous beast hang on his hand, they said among themselves, No doubt this man is a murderer, whom, though he hath escaped the sea, yet vengeance suffereth not to live.(KJV-1611) Act 28:4 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.(Creole-HT) ======= Acts 28:5 ============ Act 28:5 And he shook off the beast into the fire, and felt no harm.(KJV-1611) Act 28:5 Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò.(Creole-HT) ======= Acts 28:6 ============ Act 28:6 Howbeit they looked when he should have swollen, or fallen down dead suddenly: but after they had looked a great while, and saw no harm come to him, they changed their minds, and said that he was a god.(KJV-1611) Act 28:6 Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye.(Creole-HT) ======= Acts 28:7 ============ Act 28:7 In the same quarters were possessions of the chief man of the island, whose name was Publius; who received us, and lodged us three days courteously.(KJV-1611) Act 28:7 Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou.(Creole-HT) ======= Acts 28:8 ============ Act 28:8 And it came to pass, that the father of Publius lay sick of a fever and of a bloody flux: to whom Paul entered in, and prayed, and laid his hands on him, and healed him.(KJV-1611) Act 28:8 Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li.(Creole-HT) ======= Acts 28:9 ============ Act 28:9 So when this was done, others also, which had diseases in the island, came, and were healed:(KJV-1611) Act 28:9 Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri.(Creole-HT) ======= Acts 28:10 ============ Act 28:10 Who also honoured us with many honours; and when we departed, they laded us with such things as were necessary.(KJV-1611) Act 28:10 Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la.(Creole-HT) ======= Acts 28:11 ============ Act 28:11 And after three months we departed in a ship of Alexandria, which had wintered in the isle, whose sign was Castor and Pollux.(KJV-1611) Act 28:11 Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa.(Creole-HT) ======= Acts 28:12 ============ Act 28:12 And landing at Syracuse, we tarried there three days.(KJV-1611) Act 28:12 Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou.(Creole-HT) ======= Acts 28:13 ============ Act 28:13 And from thence we fetched a compass, and came to Rhegium: and after one day the south wind blew, and we came the next day to Puteoli:(KJV-1611) Act 28:13 Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl.(Creole-HT) ======= Acts 28:14 ============ Act 28:14 Where we found brethren, and were desired to tarry with them seven days: and so we went toward Rome.(KJV-1611) Act 28:14 La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n' pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm.(Creole-HT) ======= Acts 28:15 ============ Act 28:15 And from thence, when the brethren heard of us, they came to meet us as far as Appii forum, and The three taverns: whom when Paul saw, he thanked God, and took courage.(KJV-1611) Act 28:15 Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj.(Creole-HT) ======= Acts 28:16 ============ Act 28:16 And when we came to Rome, the centurion delivered the prisoners to the captain of the guard: but Paul was suffered to dwell by himself with a soldier that kept him.(KJV-1611) Act 28:16 Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li.(Creole-HT) ======= Acts 28:17 ============ Act 28:17 And it came to pass, that after three days Paul called the chief of the Jews together: and when they were come together, he said unto them, Men and brethren, though I have committed nothing against the people, or customs of our fathers, yet was I delivered prisoner from Jerusalem into the hands of the Romans.(KJV-1611) Act 28:17 Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo.(Creole-HT) ======= Acts 28:18 ============ Act 28:18 Who, when they had examined me, would have let me go, because there was no cause of death in me.(KJV-1611) Act 28:18 Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò.(Creole-HT) ======= Acts 28:19 ============ Act 28:19 But when the Jews spake against it, I was constrained to appeal unto Caesar; not that I had ought to accuse my nation of.(KJV-1611) Act 28:19 Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo.(Creole-HT) ======= Acts 28:20 ============ Act 28:20 For this cause therefore have I called for you, to see you, and to speak with you: because that for the hope of Israel I am bound with this chain.(KJV-1611) Act 28:20 Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.(Creole-HT) ======= Acts 28:21 ============ Act 28:21 And they said unto him, We neither received letters out of Judaea concerning thee, neither any of the brethren that came shewed or spake any harm of thee.(KJV-1611) Act 28:21 Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou.(Creole-HT) ======= Acts 28:22 ============ Act 28:22 But we desire to hear of thee what thou thinkest: for as concerning this sect, we know that every where it is spoken against.(KJV-1611) Act 28:22 Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a.(Creole-HT) ======= Acts 28:23 ============ Act 28:23 And when they had appointed him a day, there came many to him into his lodging; to whom he expounded and testified the kingdom of God, persuading them concerning Jesus, both out of the law of Moses, and out of the prophets, from morning till evening.(KJV-1611) Act 28:23 Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.(Creole-HT) ======= Acts 28:24 ============ Act 28:24 And some believed the things which were spoken, and some believed not.(KJV-1611) Act 28:24 Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm.(Creole-HT) ======= Acts 28:25 ============ Act 28:25 And when they agreed not among themselves, they departed, after that Paul had spoken one word, Well spake the Holy Ghost by Esaias the prophet unto our fathers,(KJV-1611) Act 28:25 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:(Creole-HT) ======= Acts 28:26 ============ Act 28:26 Saying, Go unto this people, and say, Hearing ye shall hear, and shall not understand; and seeing ye shall see, and not perceive:(KJV-1611) Act 28:26 Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.(Creole-HT) ======= Acts 28:27 ============ Act 28:27 For the heart of this people is waxed gross, and their ears are dull of hearing, and their eyes have they closed; lest they should see with their eyes, and hear with their ears, and understand with their heart, and should be converted, and I should heal them.(KJV-1611) Act 28:27 Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Acts 28:28 ============ Act 28:28 Be it known therefore unto you, that the salvation of God is sent unto the Gentiles, and that they will hear it.(KJV-1611) Act 28:28 Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.(Creole-HT) ======= Acts 28:29 ============ Act 28:29 And when he had said these words, the Jews departed, and had great reasoning among themselves.(KJV-1611) Act 28:29 Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Acts 28:30 ============ Act 28:30 And Paul dwelt two whole years in his own hired house, and received all that came in unto him,(KJV-1611) Act 28:30 Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li.(Creole-HT) ======= Acts 28:31 ============ Act 28:31 Preaching the kingdom of God, and teaching those things which concern the Lord Jesus Christ, with all confidence, no man forbidding him.(KJV-1611) Act 28:31 Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.(Creole-HT) ======= Romans 1:1 ============ Rom 1:1 Paul, a servant of Jesus Christ, called to be an apostle, separated unto the gospel of God,(KJV-1611) Rom 1:1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.(Creole-HT) ======= Romans 1:2 ============ Rom 1:2 (Which he had promised afore by his prophets in the holy scriptures,)(KJV-1611) Rom 1:2 Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li yo, nan Liv Sentespri te fè yo ekri a.(Creole-HT) ======= Romans 1:3 ============ Rom 1:3 Concerning his Son Jesus Christ our Lord, which was made of the seed of David according to the flesh;(KJV-1611) Rom 1:3 Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David.(Creole-HT) ======= Romans 1:4 ============ Rom 1:4 And declared to be the Son of God with power, according to the spirit of holiness, by the resurrection from the dead:(KJV-1611) Rom 1:4 Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Romans 1:5 ============ Rom 1:5 By whom we have received grace and apostleship, for obedience to the faith among all nations, for his name:(KJV-1611) Rom 1:5 Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.(Creole-HT) ======= Romans 1:6 ============ Rom 1:6 Among whom are ye also the called of Jesus Christ:(KJV-1611) Rom 1:6 Nou menm kretyen ki nan lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou n' antre nan fanmi Jezikri a.(Creole-HT) ======= Romans 1:7 ============ Rom 1:7 To all that be in Rome, beloved of God, called to be saints: Grace to you and peace from God our Father, and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Rom 1:7 Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Romans 1:8 ============ Rom 1:8 First, I thank my God through Jesus Christ for you all, that your faith is spoken of throughout the whole world.(KJV-1611) Rom 1:8 Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 1:9 ============ Rom 1:9 For God is my witness, whom I serve with my spirit in the gospel of his Son, that without ceasing I make mention of you always in my prayers;(KJV-1611) Rom 1:9 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou;(Creole-HT) ======= Romans 1:10 ============ Rom 1:10 Making request, if by any means now at length I might have a prosperous journey by the will of God to come unto you.(KJV-1611) Rom 1:10 se san rete m'ap lapriyè pou nou; m'ap mande Bondye pou l' kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li.(Creole-HT) ======= Romans 1:11 ============ Rom 1:11 For I long to see you, that I may impart unto you some spiritual gift, to the end ye may be established;(KJV-1611) Rom 1:11 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm.(Creole-HT) ======= Romans 1:12 ============ Rom 1:12 That is, that I may be comforted together with you by the mutual faith both of you and me.(KJV-1611) Rom 1:12 Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.(Creole-HT) ======= Romans 1:13 ============ Rom 1:13 Now I would not have you ignorant, brethren, that oftentimes I purposed to come unto you, (but was let hitherto,) that I might have some fruit among you also, even as among other Gentiles.(KJV-1611) Rom 1:13 Frè m' yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Romans 1:14 ============ Rom 1:14 I am debtor both to the Greeks, and to the Barbarians; both to the wise, and to the unwise.(KJV-1611) Rom 1:14 Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li.(Creole-HT) ======= Romans 1:15 ============ Rom 1:15 So, as much as in me is, I am ready to preach the gospel to you that are at Rome also.(KJV-1611) Rom 1:15 Se poutèt sa, m' anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm.(Creole-HT) ======= Romans 1:16 ============ Rom 1:16 For I am not ashamed of the gospel of Christ: for it is the power of God unto salvation to every one that believeth; to the Jew first, and also to the Greek.(KJV-1611) Rom 1:16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.(Creole-HT) ======= Romans 1:17 ============ Rom 1:17 For therein is the righteousness of God revealed from faith to faith: as it is written, The just shall live by faith.(KJV-1611) Rom 1:17 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.(Creole-HT) ======= Romans 1:18 ============ Rom 1:18 For the wrath of God is revealed from heaven against all ungodliness and unrighteousness of men, who hold the truth in unrighteousness;(KJV-1611) Rom 1:18 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.(Creole-HT) ======= Romans 1:19 ============ Rom 1:19 Because that which may be known of God is manifest in them; for God hath shewed it unto them.(KJV-1611) Rom 1:19 Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.(Creole-HT) ======= Romans 1:20 ============ Rom 1:20 For the invisible things of him from the creation of the world are clearly seen, being understood by the things that are made, even his eternal power and Godhead; so that they are without excuse:(KJV-1611) Rom 1:20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.(Creole-HT) ======= Romans 1:21 ============ Rom 1:21 Because that, when they knew God, they glorified him not as God, neither were thankful; but became vain in their imaginations, and their foolish heart was darkened.(KJV-1611) Rom 1:21 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.(Creole-HT) ======= Romans 1:22 ============ Rom 1:22 Professing themselves to be wise, they became fools,(KJV-1611) Rom 1:22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.(Creole-HT) ======= Romans 1:23 ============ Rom 1:23 And changed the glory of the uncorruptible God into an image made like to corruptible man, and to birds, and fourfooted beasts, and creeping things.(KJV-1611) Rom 1:23 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant.(Creole-HT) ======= Romans 1:24 ============ Rom 1:24 Wherefore God also gave them up to uncleanness through the lusts of their own hearts, to dishonour their own bodies between themselves:(KJV-1611) Rom 1:24 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo.(Creole-HT) ======= Romans 1:25 ============ Rom 1:25 Who changed the truth of God into a lie, and worshipped and served the creature more than the Creator, who is blessed for ever. Amen.(KJV-1611) Rom 1:25 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Romans 1:26 ============ Rom 1:26 For this cause God gave them up unto vile affections: for even their women did change the natural use into that which is against nature:(KJV-1611) Rom 1:26 Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon.(Creole-HT) ======= Romans 1:27 ============ Rom 1:27 And likewise also the men, leaving the natural use of the woman, burned in their lust one toward another; men with men working that which is unseemly, and receiving in themselves that recompence of their error which was meet.(KJV-1611) Rom 1:27 Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a.(Creole-HT) ======= Romans 1:28 ============ Rom 1:28 And even as they did not like to retain God in their knowledge, God gave them over to a reprobate mind, to do those things which are not convenient;(KJV-1611) Rom 1:28 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.(Creole-HT) ======= Romans 1:29 ============ Rom 1:29 Being filled with all unrighteousness, fornication, wickedness, covetousness, maliciousness; full of envy, murder, debate, deceit, malignity; whisperers,(KJV-1611) Rom 1:29 Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.(Creole-HT) ======= Romans 1:30 ============ Rom 1:30 Backbiters, haters of God, despiteful, proud, boasters, inventors of evil things, disobedient to parents,(KJV-1611) Rom 1:30 Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.(Creole-HT) ======= Romans 1:31 ============ Rom 1:31 Without understanding, covenantbreakers, without natural affection, implacable, unmerciful:(KJV-1611) Rom 1:31 Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.(Creole-HT) ======= Romans 1:32 ============ Rom 1:32 Who knowing the judgment of God, that they which commit such things are worthy of death, not only do the same, but have pleasure in them that do them.(KJV-1611) Rom 1:32 Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.(Creole-HT) ======= Romans 2:1 ============ Rom 2:1 Therefore thou art inexcusable, O man, whosoever thou art that judgest: for wherein thou judgest another, thou condemnest thyself; for thou that judgest doest the same things.(KJV-1611) Rom 2:1 Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo.(Creole-HT) ======= Romans 2:2 ============ Rom 2:2 But we are sure that the judgment of God is according to truth against them which commit such things.(KJV-1611) Rom 2:2 Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a.(Creole-HT) ======= Romans 2:3 ============ Rom 2:3 And thinkest thou this, O man, that judgest them which do such things, and doest the same, that thou shalt escape the judgment of God?(KJV-1611) Rom 2:3 Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, èske ou kwè wa chape anba jijman Bondye a?(Creole-HT) ======= Romans 2:4 ============ Rom 2:4 Or despisest thou the riches of his goodness and forbearance and longsuffering; not knowing that the goodness of God leadeth thee to repentance?(KJV-1611) Rom 2:4 Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?(Creole-HT) ======= Romans 2:5 ============ Rom 2:5 But after thy hardness and impenitent heart treasurest up unto thyself wrath against the day of wrath and revelation of the righteous judgment of God;(KJV-1611) Rom 2:5 Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.(Creole-HT) ======= Romans 2:6 ============ Rom 2:6 Who will render to every man according to his deeds:(KJV-1611) Rom 2:6 Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.(Creole-HT) ======= Romans 2:7 ============ Rom 2:7 To them who by patient continuance in well doing seek for glory and honour and immortality, eternal life:(KJV-1611) Rom 2:7 Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Romans 2:8 ============ Rom 2:8 But unto them that are contentious, and do not obey the truth, but obey unrighteousness, indignation and wrath,(KJV-1611) Rom 2:8 Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= Romans 2:9 ============ Rom 2:9 Tribulation and anguish, upon every soul of man that doeth evil, of the Jew first, and also of the Gentile;(KJV-1611) Rom 2:9 Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Romans 2:10 ============ Rom 2:10 But glory, honour, and peace, to every man that worketh good, to the Jew first, and also to the Gentile:(KJV-1611) Rom 2:10 Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo.(Creole-HT) ======= Romans 2:11 ============ Rom 2:11 For there is no respect of persons with God.(KJV-1611) Rom 2:11 Paske, Bondye pa gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= Romans 2:12 ============ Rom 2:12 For as many as have sinned without law shall also perish without law: and as many as have sinned in the law shall be judged by the law;(KJV-1611) Rom 2:12 Tout moun ki pa t' konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a.(Creole-HT) ======= Romans 2:13 ============ Rom 2:13 (For not the hearers of the law are just before God, but the doers of the law shall be justified.(KJV-1611) Rom 2:13 Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande.(Creole-HT) ======= Romans 2:14 ============ Rom 2:14 For when the Gentiles, which have not the law, do by nature the things contained in the law, these, having not the law, are a law unto themselves:(KJV-1611) Rom 2:14 Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pa t' konn lalwa a.(Creole-HT) ======= Romans 2:15 ============ Rom 2:15 Which shew the work of the law written in their hearts, their conscience also bearing witness, and their thoughts the mean while accusing or else excusing one another;)(KJV-1611) Rom 2:15 Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè.(Creole-HT) ======= Romans 2:16 ============ Rom 2:16 In the day when God shall judge the secrets of men by Jesus Christ according to my gospel.(KJV-1611) Rom 2:16 Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.(Creole-HT) ======= Romans 2:17 ============ Rom 2:17 Behold, thou art called a Jew, and restest in the law, and makest thy boast of God,(KJV-1611) Rom 2:17 Ou menm yo rele jwif la, ou apiye kò ou sou lalwa a. W'ap vante tèt ou dèske ou konn Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 2:18 ============ Rom 2:18 And knowest his will, and approvest the things that are more excellent, being instructed out of the law;(KJV-1611) Rom 2:18 Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen.(Creole-HT) ======= Romans 2:19 ============ Rom 2:19 And art confident that thou thyself art a guide of the blind, a light of them which are in darkness,(KJV-1611) Rom 2:19 Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa,(Creole-HT) ======= Romans 2:20 ============ Rom 2:20 An instructor of the foolish, a teacher of babes, which hast the form of knowledge and of the truth in the law.(KJV-1611) Rom 2:20 yon pwofesè lekòl pou timoun; ou kwè ou ka moutre moun ki pa konnen anyen yo anpil bagay. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a.(Creole-HT) ======= Romans 2:21 ============ Rom 2:21 Thou therefore which teachest another, teachest thou not thyself? thou that preachest a man should not steal, dost thou steal?(KJV-1611) Rom 2:21 Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou?(Creole-HT) ======= Romans 2:22 ============ Rom 2:22 Thou that sayest a man should not commit adultery, dost thou commit adultery? thou that abhorrest idols, dost thou commit sacrilege?(KJV-1611) Rom 2:22 W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap dèfann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo!(Creole-HT) ======= Romans 2:23 ============ Rom 2:23 Thou that makest thy boast of the law, through breaking the law dishonourest thou God?(KJV-1611) Rom 2:23 Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a!(Creole-HT) ======= Romans 2:24 ============ Rom 2:24 For the name of God is blasphemed among the Gentiles through you, as it is written.(KJV-1611) Rom 2:24 Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.(Creole-HT) ======= Romans 2:25 ============ Rom 2:25 For circumcision verily profiteth, if thou keep the law: but if thou be a breaker of the law, thy circumcision is made uncircumcision.(KJV-1611) Rom 2:25 Si ou fè sa lalwa a mande ou fè, sikonsizyon an gen valè pou ou. Men, si w'ap dezobeyi lalwa a, se tankou si ou pa t' janm sikonsi.(Creole-HT) ======= Romans 2:26 ============ Rom 2:26 Therefore if the uncircumcision keep the righteousness of the law, shall not his uncircumcision be counted for circumcision?(KJV-1611) Rom 2:26 Lè yon moun lòt nasyon ki pa sikonsi fè sa lalwa a mande, èske Bondye p'ap gade li tankou yon moun ki sikonsi?(Creole-HT) ======= Romans 2:27 ============ Rom 2:27 And shall not uncircumcision which is by nature, if it fulfil the law, judge thee, who by the letter and circumcision dost transgress the law?(KJV-1611) Rom 2:27 Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a.(Creole-HT) ======= Romans 2:28 ============ Rom 2:28 For he is not a Jew, which is one outwardly; neither is that circumcision, which is outward in the flesh:(KJV-1611) Rom 2:28 Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kò moun ki sikonsizyon tout bon an.(Creole-HT) ======= Romans 2:29 ============ Rom 2:29 But he is a Jew, which is one inwardly; and circumcision is that of the heart, in the spirit, and not in the letter; whose praise is not of men, but of God.(KJV-1611) Rom 2:29 Jwif ki jwif tout bon, se moun ki jwif nan kè yo. Sikonsizyon tout bon an, se sikonsizyon ki make kè moun. Sa se travay Lespri Bondye a, se pa travay lalwa ki ekri nan liv. Lwanj yon jwif konsa pa soti nan men moun, men nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 3:1 ============ Rom 3:1 What advantage then hath the Jew? or what profit is there of circumcision?(KJV-1611) Rom 3:1 Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?(Creole-HT) ======= Romans 3:2 ============ Rom 3:2 Much every way: chiefly, because that unto them were committed the oracles of God.(KJV-1611) Rom 3:2 Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.(Creole-HT) ======= Romans 3:3 ============ Rom 3:3 For what if some did not believe? shall their unbelief make the faith of God without effect?(KJV-1611) Rom 3:3 Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou?(Creole-HT) ======= Romans 3:4 ============ Rom 3:4 God forbid: yea, let God be true, but every man a liar; as it is written, That thou mightest be justified in thy sayings, and mightest overcome when thou art judged.(KJV-1611) Rom 3:4 O non, lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Se pou yo rekonèt se ou menm ki gen rezon lè w'ap pale. Se ou menm ki pou gen pwose a lè y'ap jije ou.(Creole-HT) ======= Romans 3:5 ============ Rom 3:5 But if our unrighteousness commend the righteousness of God, what shall we say? Is God unrighteous who taketh vengeance? (I speak as a man)(KJV-1611) Rom 3:5 Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye peni nou li gen tò? (Eskize m' wi, m'ap pale tankou moun.)(Creole-HT) ======= Romans 3:6 ============ Rom 3:6 God forbid: for then how shall God judge the world?(KJV-1611) Rom 3:6 Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?(Creole-HT) ======= Romans 3:7 ============ Rom 3:7 For if the truth of God hath more abounded through my lie unto his glory; why yet am I also judged as a sinner?(KJV-1611) Rom 3:7 Bon, si lè m' bay manti, sa fè verite Bondye a parèt pi klè, si sa sèvi yon lwanj pou Bondye, poukisa pou l' ta jije m' tankou yon moun ki fè sa ki mal?(Creole-HT) ======= Romans 3:8 ============ Rom 3:8 And not rather, (as we be slanderously reported, and as some affirm that we say,) Let us do evil, that good may come? whose damnation is just.(KJV-1611) Rom 3:8 Poukisa nou pa di pito: Ann fè sa ki mal pou Bondye ka fè plis byen toujou! Gen kèk malpalan ki pretann se sa mwen di. Enben, Bondye ap kondannen moun sa yo, epi la gen rezon.(Creole-HT) ======= Romans 3:9 ============ Rom 3:9 What then? are we better than they? No, in no wise: for we have before proved both Jews and Gentiles, that they are all under sin;(KJV-1611) Rom 3:9 Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.(Creole-HT) ======= Romans 3:10 ============ Rom 3:10 As it is written, There is none righteous, no, not one:(KJV-1611) Rom 3:10 Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.(Creole-HT) ======= Romans 3:11 ============ Rom 3:11 There is none that understandeth, there is none that seeketh after God.(KJV-1611) Rom 3:11 Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 3:12 ============ Rom 3:12 They are all gone out of the way, they are together become unprofitable; there is none that doeth good, no, not one.(KJV-1611) Rom 3:12 Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.(Creole-HT) ======= Romans 3:13 ============ Rom 3:13 Their throat is an open sepulchre; with their tongues they have used deceit; the poison of asps is under their lips:(KJV-1611) Rom 3:13 Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.(Creole-HT) ======= Romans 3:14 ============ Rom 3:14 Whose mouth is full of cursing and bitterness:(KJV-1611) Rom 3:14 Bouch yo plen madichon ak jouman.(Creole-HT) ======= Romans 3:15 ============ Rom 3:15 Their feet are swift to shed blood:(KJV-1611) Rom 3:15 Ti krik ti krak, se fè san koule.(Creole-HT) ======= Romans 3:16 ============ Rom 3:16 Destruction and misery are in their ways:(KJV-1611) Rom 3:16 Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.(Creole-HT) ======= Romans 3:17 ============ Rom 3:17 And the way of peace have they not known:(KJV-1611) Rom 3:17 Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.(Creole-HT) ======= Romans 3:18 ============ Rom 3:18 There is no fear of God before their eyes.(KJV-1611) Rom 3:18 Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 3:19 ============ Rom 3:19 Now we know that what things soever the law saith, it saith to them who are under the law: that every mouth may be stopped, and all the world may become guilty before God.(KJV-1611) Rom 3:19 Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 3:20 ============ Rom 3:20 Therefore by the deeds of the law there shall no flesh be justified in his sight: for by the law is the knowledge of sin.(KJV-1611) Rom 3:20 Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.(Creole-HT) ======= Romans 3:21 ============ Rom 3:21 But now the righteousness of God without the law is manifested, being witnessed by the law and the prophets;(KJV-1611) Rom 3:21 Men koulye a, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.(Creole-HT) ======= Romans 3:22 ============ Rom 3:22 Even the righteousness of God which is by faith of Jesus Christ unto all and upon all them that believe: for there is no difference:(KJV-1611) Rom 3:22 Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.(Creole-HT) ======= Romans 3:23 ============ Rom 3:23 For all have sinned, and come short of the glory of God;(KJV-1611) Rom 3:23 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.(Creole-HT) ======= Romans 3:24 ============ Rom 3:24 Being justified freely by his grace through the redemption that is in Christ Jesus:(KJV-1611) Rom 3:24 Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.(Creole-HT) ======= Romans 3:25 ============ Rom 3:25 Whom God hath set forth to be a propitiation through faith in his blood, to declare his righteousness for the remission of sins that are past, through the forbearance of God;(KJV-1611) Rom 3:25 Se li menm, Jezikri, Bondye te ofri tankou bèt pou touye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka resevwa padon pou peche yo. Bondye te vle moutre nou ki jan li fè moun gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans, li te fèmen je l' sou peche moun te fè.(Creole-HT) ======= Romans 3:26 ============ Rom 3:26 To declare, I say, at this time his righteousness: that he might be just, and the justifier of him which believeth in Jesus.(KJV-1611) Rom 3:26 Men koulye a, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, an menm tan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.(Creole-HT) ======= Romans 3:27 ============ Rom 3:27 Where is boasting then? It is excluded. By what law? of works? Nay: but by the law of faith.(KJV-1611) Rom 3:27 Bon. Nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè ankò? Pa genyen menm. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Men, paske yo fè Bondye konfyans.(Creole-HT) ======= Romans 3:28 ============ Rom 3:28 Therefore we conclude that a man is justified by faith without the deeds of the law.(KJV-1611) Rom 3:28 Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l' gras, se pa paske li fè sa lalwa mande.(Creole-HT) ======= Romans 3:29 ============ Rom 3:29 Is he the God of the Jews only? is he not also of the Gentiles? Yes, of the Gentiles also:(KJV-1611) Rom 3:29 Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.(Creole-HT) ======= Romans 3:30 ============ Rom 3:30 Seeing it is one God, which shall justify the circumcision by faith, and uncircumcision through faith.(KJV-1611) Rom 3:30 Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li.(Creole-HT) ======= Romans 3:31 ============ Rom 3:31 Do we then make void the law through faith? God forbid: yea, we establish the law.(KJV-1611) Rom 3:31 Bon. Jan nou pale a, èske konfyans nan Bondye fè lalwa a pèdi valè li? Men non, okontrè, nou kanpe lalwa a pi rèd.(Creole-HT) ======= Romans 4:1 ============ Rom 4:1 What shall we say then that Abraham our father, as pertaining to the flesh, hath found?(KJV-1611) Rom 4:1 Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn?(Creole-HT) ======= Romans 4:2 ============ Rom 4:2 For if Abraham were justified by works, he hath whereof to glory; but not before God.(KJV-1611) Rom 4:2 Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l' gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 4:3 ============ Rom 4:3 For what saith the scripture? Abraham believed God, and it was counted unto him for righteousness.(KJV-1611) Rom 4:3 Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:4 ============ Rom 4:4 Now to him that worketh is the reward not reckoned of grace, but of debt.(KJV-1611) Rom 4:4 Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li.(Creole-HT) ======= Romans 4:5 ============ Rom 4:5 But to him that worketh not, but believeth on him that justifieth the ungodly, his faith is counted for righteousness.(KJV-1611) Rom 4:5 Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) ======= Romans 4:6 ============ Rom 4:6 Even as David also describeth the blessedness of the man, unto whom God imputeth righteousness without works,(KJV-1611) Rom 4:6 Se sa David te vle di, lè l' deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l' fè, se moun konsa ki beni:(Creole-HT) ======= Romans 4:7 ============ Rom 4:7 Saying, Blessed are they whose iniquities are forgiven, and whose sins are covered.(KJV-1611) Rom 4:7 Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè!(Creole-HT) ======= Romans 4:8 ============ Rom 4:8 Blessed is the man to whom the Lord will not impute sin.(KJV-1611) Rom 4:8 Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l' kont pou sa li fè ki mal!(Creole-HT) ======= Romans 4:9 ============ Rom 4:9 Cometh this blessedness then upon the circumcision only, or upon the uncircumcision also? for we say that faith was reckoned to Abraham for righteousness.(KJV-1611) Rom 4:9 Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fèk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l' gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:10 ============ Rom 4:10 How was it then reckoned? when he was in circumcision, or in uncircumcision? Not in circumcision, but in uncircumcision.(KJV-1611) Rom 4:10 Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi.(Creole-HT) ======= Romans 4:11 ============ Rom 4:11 And he received the sign of circumcision, a seal of the righteousness of the faith which he had yet being uncircumcised: that he might be the father of all them that believe, though they be not circumcised; that righteousness might be imputed unto them also:(KJV-1611) Rom 4:11 Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:12 ============ Rom 4:12 And the father of circumcision to them who are not of the circumcision only, but who also walk in the steps of that faith of our father Abraham, which he had being yet uncircumcised.(KJV-1611) Rom 4:12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.(Creole-HT) ======= Romans 4:13 ============ Rom 4:13 For the promise, that he should be the heir of the world, was not to Abraham, or to his seed, through the law, but through the righteousness of faith.(KJV-1611) Rom 4:13 Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pa t' fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fè Bondye te fè l' gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:14 ============ Rom 4:14 For if they which are of the law be heirs, faith is made void, and the promise made of none effect:(KJV-1611) Rom 4:14 Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò; pwomès li a pèdi tout valè li.(Creole-HT) ======= Romans 4:15 ============ Rom 4:15 Because the law worketh wrath: for where no law is, there is no transgression.(KJV-1611) Rom 4:15 Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.(Creole-HT) ======= Romans 4:16 ============ Rom 4:16 Therefore it is of faith, that it might be by grace; to the end the promise might be sure to all the seed; not to that only which is of the law, but to that also which is of the faith of Abraham; who is the father of us all,(KJV-1611) Rom 4:16 Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,(Creole-HT) ======= Romans 4:17 ============ Rom 4:17 (As it is written, I have made thee a father of many nations,) before him whom he believed, even God, who quickeneth the dead, and calleth those things which be not as though they were.(KJV-1611) Rom 4:17 jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.(Creole-HT) ======= Romans 4:18 ============ Rom 4:18 Who against hope believed in hope, that he might become the father of many nations, according to that which was spoken, So shall thy seed be.(KJV-1611) Rom 4:18 Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil.(Creole-HT) ======= Romans 4:19 ============ Rom 4:19 And being not weak in faith, he considered not his own body now dead, when he was about an hundred years old, neither yet the deadness of Sarah's womb:(KJV-1611) Rom 4:19 Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.(Creole-HT) ======= Romans 4:20 ============ Rom 4:20 He staggered not at the promise of God through unbelief; but was strong in faith, giving glory to God;(KJV-1611) Rom 4:20 Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 4:21 ============ Rom 4:21 And being fully persuaded that, what he had promised, he was able also to perform.(KJV-1611) Rom 4:21 Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Romans 4:22 ============ Rom 4:22 And therefore it was imputed to him for righteousness.(KJV-1611) Rom 4:22 Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l' gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:23 ============ Rom 4:23 Now it was not written for his sake alone, that it was imputed to him;(KJV-1611) Rom 4:23 Men, se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Li fè li gras.(Creole-HT) ======= Romans 4:24 ============ Rom 4:24 But for us also, to whom it shall be imputed, if we believe on him that raised up Jesus our Lord from the dead;(KJV-1611) Rom 4:24 Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Romans 4:25 ============ Rom 4:25 Who was delivered for our offences, and was raised again for our justification.(KJV-1611) Rom 4:25 Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.(Creole-HT) ======= Romans 5:1 ============ Rom 5:1 Therefore being justified by faith, we have peace with God through our Lord Jesus Christ:(KJV-1611) Rom 5:1 Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Romans 5:2 ============ Rom 5:2 By whom also we have access by faith into this grace wherein we stand, and rejoice in hope of the glory of God.(KJV-1611) Rom 5:2 Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.(Creole-HT) ======= Romans 5:3 ============ Rom 5:3 And not only so, but we glory in tribulations also: knowing that tribulation worketh patience;(KJV-1611) Rom 5:3 Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.(Creole-HT) ======= Romans 5:4 ============ Rom 5:4 And patience, experience; and experience, hope:(KJV-1611) Rom 5:4 Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa.(Creole-HT) ======= Romans 5:5 ============ Rom 5:5 And hope maketh not ashamed; because the love of God is shed abroad in our hearts by the Holy Ghost which is given unto us.(KJV-1611) Rom 5:5 Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.(Creole-HT) ======= Romans 5:6 ============ Rom 5:6 For when we were yet without strength, in due time Christ died for the ungodly.(KJV-1611) Rom 5:6 Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.(Creole-HT) ======= Romans 5:7 ============ Rom 5:7 For scarcely for a righteous man will one die: yet peradventure for a good man some would even dare to die.(KJV-1611) Rom 5:7 Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.(Creole-HT) ======= Romans 5:8 ============ Rom 5:8 But God commendeth his love toward us, in that, while we were yet sinners, Christ died for us.(KJV-1611) Rom 5:8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.(Creole-HT) ======= Romans 5:9 ============ Rom 5:9 Much more then, being now justified by his blood, we shall be saved from wrath through him.(KJV-1611) Rom 5:9 Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 5:10 ============ Rom 5:10 For if, when we were enemies, we were reconciled to God by the death of his Son, much more, being reconciled, we shall be saved by his life.(KJV-1611) Rom 5:10 Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.(Creole-HT) ======= Romans 5:11 ============ Rom 5:11 And not only so, but we also joy in God through our Lord Jesus Christ, by whom we have now received the atonement.(KJV-1611) Rom 5:11 Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.(Creole-HT) ======= Romans 5:12 ============ Rom 5:12 Wherefore, as by one man sin entered into the world, and death by sin; and so death passed upon all men, for that all have sinned:(KJV-1611) Rom 5:12 Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.(Creole-HT) ======= Romans 5:13 ============ Rom 5:13 (For until the law sin was in the world: but sin is not imputed when there is no law.(KJV-1611) Rom 5:13 Peche te deja sou latè lontan anvan Lalwa Moyiz la. Men, paske pa t' gen lalwa, Bondye te fèmen je l' sou peche.(Creole-HT) ======= Romans 5:14 ============ Rom 5:14 Nevertheless death reigned from Adam to Moses, even over them that had not sinned after the similitude of Adam's transgression, who is the figure of him that was to come.(KJV-1611) Rom 5:14 Men, soti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pa t' fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Romans 5:15 ============ Rom 5:15 But not as the offence, so also is the free gift. For if through the offence of one many be dead, much more the grace of God, and the gift by grace, which is by one man, Jesus Christ, hath abounded unto many.(KJV-1611) Rom 5:15 Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou.(Creole-HT) ======= Romans 5:16 ============ Rom 5:16 And not as it was by one that sinned, so is the gift: for the judgment was by one to condemnation, but the free gift is of many offences unto justification.(KJV-1611) Rom 5:16 Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras.(Creole-HT) ======= Romans 5:17 ============ Rom 5:17 For if by one man's offence death reigned by one; much more they which receive abundance of grace and of the gift of righteousness shall reign in life by one, Jesus Christ.)(KJV-1611) Rom 5:17 Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.(Creole-HT) ======= Romans 5:18 ============ Rom 5:18 Therefore as by the offence of one judgment came upon all men to condemnation; even so by the righteousness of one the free gift came upon all men unto justification of life.(KJV-1611) Rom 5:18 Se sak fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi.(Creole-HT) ======= Romans 5:19 ============ Rom 5:19 For as by one man's disobedience many were made sinners, so by the obedience of one shall many be made righteous.(KJV-1611) Rom 5:19 Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras.(Creole-HT) ======= Romans 5:20 ============ Rom 5:20 Moreover the law entered, that the offence might abound. But where sin abounded, grace did much more abound:(KJV-1611) Rom 5:20 Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.(Creole-HT) ======= Romans 5:21 ============ Rom 5:21 That as sin hath reigned unto death, even so might grace reign through righteousness unto eternal life by Jesus Christ our Lord.(KJV-1611) Rom 5:21 Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Romans 6:1 ============ Rom 6:1 What shall we say then? Shall we continue in sin, that grace may abound?(KJV-1611) Rom 6:1 Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?(Creole-HT) ======= Romans 6:2 ============ Rom 6:2 God forbid. How shall we, that are dead to sin, live any longer therein?(KJV-1611) Rom 6:2 Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?(Creole-HT) ======= Romans 6:3 ============ Rom 6:3 Know ye not, that so many of us as were baptized into Jesus Christ were baptized into his death?(KJV-1611) Rom 6:3 Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.(Creole-HT) ======= Romans 6:4 ============ Rom 6:4 Therefore we are buried with him by baptism into death: that like as Christ was raised up from the dead by the glory of the Father, even so we also should walk in newness of life.(KJV-1611) Rom 6:4 Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.(Creole-HT) ======= Romans 6:5 ============ Rom 6:5 For if we have been planted together in the likeness of his death, we shall be also in the likeness of his resurrection:(KJV-1611) Rom 6:5 Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.(Creole-HT) ======= Romans 6:6 ============ Rom 6:6 Knowing this, that our old man is crucified with him, that the body of sin might be destroyed, that henceforth we should not serve sin.(KJV-1611) Rom 6:6 Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò.(Creole-HT) ======= Romans 6:7 ============ Rom 6:7 For he that is dead is freed from sin.(KJV-1611) Rom 6:7 Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.(Creole-HT) ======= Romans 6:8 ============ Rom 6:8 Now if we be dead with Christ, we believe that we shall also live with him:(KJV-1611) Rom 6:8 Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.(Creole-HT) ======= Romans 6:9 ============ Rom 6:9 Knowing that Christ being raised from the dead dieth no more; death hath no more dominion over him.(KJV-1611) Rom 6:9 Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li.(Creole-HT) ======= Romans 6:10 ============ Rom 6:10 For in that he died, he died unto sin once: but in that he liveth, he liveth unto God.(KJV-1611) Rom 6:10 Lè l' te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p'ap janm mouri ankò. Koulye a l'ap viv, se pou Bondye l'ap viv.(Creole-HT) ======= Romans 6:11 ============ Rom 6:11 Likewise reckon ye also yourselves to be dead indeed unto sin, but alive unto God through Jesus Christ our Lord.(KJV-1611) Rom 6:11 Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.(Creole-HT) ======= Romans 6:12 ============ Rom 6:12 Let not sin therefore reign in your mortal body, that ye should obey it in the lusts thereof.(KJV-1611) Rom 6:12 Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l' fè nou fè tou sa kò a anvi fè.(Creole-HT) ======= Romans 6:13 ============ Rom 6:13 Neither yield ye your members as instruments of unrighteousness unto sin: but yield yourselves unto God, as those that are alive from the dead, and your members as instruments of righteousness unto God.(KJV-1611) Rom 6:13 Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Romans 6:14 ============ Rom 6:14 For sin shall not have dominion over you: for ye are not under the law, but under grace.(KJV-1611) Rom 6:14 Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.(Creole-HT) ======= Romans 6:15 ============ Rom 6:15 What then? shall we sin, because we are not under the law, but under grace? God forbid.(KJV-1611) Rom 6:15 Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non.(Creole-HT) ======= Romans 6:16 ============ Rom 6:16 Know ye not, that to whom ye yield yourselves servants to obey, his servants ye are to whom ye obey; whether of sin unto death, or of obedience unto righteousness?(KJV-1611) Rom 6:16 Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l' esklav pou n' obeyi l', nou tounen esklav moun n'ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k'ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n'a esklav obeyisans k'ap fè nou mache dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 6:17 ============ Rom 6:17 But God be thanked, that ye were the servants of sin, but ye have obeyed from the heart that form of doctrine which was delivered you.(KJV-1611) Rom 6:17 Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Romans 6:18 ============ Rom 6:18 Being then made free from sin, ye became the servants of righteousness.(KJV-1611) Rom 6:18 Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.(Creole-HT) ======= Romans 6:19 ============ Rom 6:19 I speak after the manner of men because of the infirmity of your flesh: for as ye have yielded your members servants to uncleanness and to iniquity unto iniquity; even so now yield your members servants to righteousness unto holiness.(KJV-1611) Rom 6:19 M'ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n' te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n' ka viv apa pou li.(Creole-HT) ======= Romans 6:20 ============ Rom 6:20 For when ye were the servants of sin, ye were free from righteousness.(KJV-1611) Rom 6:20 Lè n' te esklav peche a, nou pa t' gen okenn obligasyon pou n' te fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Romans 6:21 ============ Rom 6:21 What fruit had ye then in those things whereof ye are now ashamed? for the end of those things is death.(KJV-1611) Rom 6:21 Lè sa a, kisa n' te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.(Creole-HT) ======= Romans 6:22 ============ Rom 6:22 But now being made free from sin, and become servants to God, ye have your fruit unto holiness, and the end everlasting life.(KJV-1611) Rom 6:22 Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Romans 6:23 ============ Rom 6:23 For the wages of sin is death; but the gift of God is eternal life through Jesus Christ our Lord.(KJV-1611) Rom 6:23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Romans 7:1 ============ Rom 7:1 Know ye not, brethren, (for I speak to them that know the law,) how that the law hath dominion over a man as long as he liveth?(KJV-1611) Rom 7:1 Frè m' yo, mwen sèten nou konnen sa m' pral di nou la a deja, paske nou konn lalwa a: Se toutotan yon moun ap viv lalwa gen pouvwa sou li.(Creole-HT) ======= Romans 7:2 ============ Rom 7:2 For the woman which hath an husband is bound by the law to her husband so long as he liveth; but if the husband be dead, she is loosed from the law of her husband.(KJV-1611) Rom 7:2 M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a.(Creole-HT) ======= Romans 7:3 ============ Rom 7:3 So then if, while her husband liveth, she be married to another man, she shall be called an adulteress: but if her husband be dead, she is free from that law; so that she is no adulteress, though she be married to another man.(KJV-1611) Rom 7:3 Si pandan mari a vivan toujou, madanm lan vin fanm yon lòt gason, y'ap rele madanm lan adiltè. Men, si mari a mouri, li lib devan lalwa. Lè sa a, si l' vin fanm yon lòt gason, li pa yon adiltè.(Creole-HT) ======= Romans 7:4 ============ Rom 7:4 Wherefore, my brethren, ye also are become dead to the law by the body of Christ; that ye should be married to another, even to him who is raised from the dead, that we should bring forth fruit unto God.(KJV-1611) Rom 7:4 Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 7:5 ============ Rom 7:5 For when we were in the flesh, the motions of sins, which were by the law, did work in our members to bring forth fruit unto death.(KJV-1611) Rom 7:5 Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò.(Creole-HT) ======= Romans 7:6 ============ Rom 7:6 But now we are delivered from the law, that being dead wherein we were held; that we should serve in newness of spirit, and not in the oldness of the letter.(KJV-1611) Rom 7:6 Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.(Creole-HT) ======= Romans 7:7 ============ Rom 7:7 What shall we say then? Is the law sin? God forbid. Nay, I had not known sin, but by the law: for I had not known lust, except the law had said, Thou shalt not covet.(KJV-1611) Rom 7:7 Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.(Creole-HT) ======= Romans 7:8 ============ Rom 7:8 But sin, taking occasion by the commandment, wrought in me all manner of concupiscence. For without the law sin was dead.(KJV-1611) Rom 7:8 Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.(Creole-HT) ======= Romans 7:9 ============ Rom 7:9 For I was alive without the law once: but when the commandment came, sin revived, and I died.(KJV-1611) Rom 7:9 Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m' te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò.(Creole-HT) ======= Romans 7:10 ============ Rom 7:10 And the commandment, which was ordained to life, I found to be unto death.(KJV-1611) Rom 7:10 Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m' lavi a, se li menm ki ban m' lanmò.(Creole-HT) ======= Romans 7:11 ============ Rom 7:11 For sin, taking occasion by the commandment, deceived me, and by it slew me.(KJV-1611) Rom 7:11 Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m' ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.(Creole-HT) ======= Romans 7:12 ============ Rom 7:12 Wherefore the law is holy, and the commandment holy, and just, and good.(KJV-1611) Rom 7:12 Men, lalwa a se yon bagay ki soti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.(Creole-HT) ======= Romans 7:13 ============ Rom 7:13 Was then that which is good made death unto me? God forbid. But sin, that it might appear sin, working death in me by that which is good; that sin by the commandment might become exceeding sinful.(KJV-1611) Rom 7:13 Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l' fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.(Creole-HT) ======= Romans 7:14 ============ Rom 7:14 For we know that the law is spiritual: but I am carnal, sold under sin.(KJV-1611) Rom 7:14 Nou konnen lalwa li menm, se yon bagay ki soti nan Lespri Bondye. Men, mwen menm, mwen se yon kò ki tou fèb, peche fin anpare m', li fè m' tounen esklav li.(Creole-HT) ======= Romans 7:15 ============ Rom 7:15 For that which I do I allow not: for what I would, that do I not; but what I hate, that do I.(KJV-1611) Rom 7:15 Lè m' fè yon bagay, mwen pa konprann sa m' fè a. Paske, sa m' ta vle fè a, se pa sa m' fè. Epi sa m' pa vle fè a, se li mwen fè.(Creole-HT) ======= Romans 7:16 ============ Rom 7:16 If then I do that which I would not, I consent unto the law that it is good.(KJV-1611) Rom 7:16 Si sa m' pa t' vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon.(Creole-HT) ======= Romans 7:17 ============ Rom 7:17 Now then it is no more I that do it, but sin that dwelleth in me.(KJV-1611) Rom 7:17 Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li.(Creole-HT) ======= Romans 7:18 ============ Rom 7:18 For I know that in me (that is, in my flesh,) dwelleth no good thing: for to will is present with me; but how to perform that which is good I find not.(KJV-1611) Rom 7:18 Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.(Creole-HT) ======= Romans 7:19 ============ Rom 7:19 For the good that I would I do not: but the evil which I would not, that I do.(KJV-1611) Rom 7:19 Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.(Creole-HT) ======= Romans 7:20 ============ Rom 7:20 Now if I do that I would not, it is no more I that do it, but sin that dwelleth in me.(KJV-1611) Rom 7:20 Epi, si m' fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l', men se peche ki nan mwen an ki fè li.(Creole-HT) ======= Romans 7:21 ============ Rom 7:21 I find then a law, that, when I would do good, evil is present with me.(KJV-1611) Rom 7:21 Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m' vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m' ka fè.(Creole-HT) ======= Romans 7:22 ============ Rom 7:22 For I delight in the law of God after the inward man:(KJV-1611) Rom 7:22 Nan fon kè m', mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Romans 7:23 ============ Rom 7:23 But I see another law in my members, warring against the law of my mind, and bringing me into captivity to the law of sin which is in my members.(KJV-1611) Rom 7:23 Men, nan tout kò m', mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m' prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.(Creole-HT) ======= Romans 7:24 ============ Rom 7:24 O wretched man that I am! who shall deliver me from the body of this death?(KJV-1611) Rom 7:24 Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m' anba kò sa a k'ap trennen m' nan lanmò?(Creole-HT) ======= Romans 7:25 ============ Rom 7:25 I thank God through Jesus Christ our Lord. So then with the mind I myself serve the law of God; but with the flesh the law of sin.(KJV-1611) Rom 7:25 Gremesi Jezikri, Seyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m' santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.(Creole-HT) ======= Romans 8:1 ============ Rom 8:1 There is therefore now no condemnation to them which are in Christ Jesus, who walk not after the flesh, but after the Spirit.(KJV-1611) Rom 8:1 Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.(Creole-HT) ======= Romans 8:2 ============ Rom 8:2 For the law of the Spirit of life in Christ Jesus hath made me free from the law of sin and death.(KJV-1611) Rom 8:2 Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri, li delivre nou anba lalwa peche a ansanm ak anba lanmò.(Creole-HT) ======= Romans 8:3 ============ Rom 8:3 For what the law could not do, in that it was weak through the flesh, God sending his own Son in the likeness of sinful flesh, and for sin, condemned sin in the flesh:(KJV-1611) Rom 8:3 Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.(Creole-HT) ======= Romans 8:4 ============ Rom 8:4 That the righteousness of the law might be fulfilled in us, who walk not after the flesh, but after the Spirit.(KJV-1611) Rom 8:4 Bondye te fè sa pou nou pa t' viv dapre sa moun jwenn nan kò yo, men dapre Lespri Bondye a, pou n' te ka satisfè tout egzijans lalwa a.(Creole-HT) ======= Romans 8:5 ============ Rom 8:5 For they that are after the flesh do mind the things of the flesh; but they that are after the Spirit the things of the Spirit.(KJV-1611) Rom 8:5 Moun k'ap viv dapre sa lèzòm jwenn nan kò yo, se yon sèl bagay ki nan tèt yo: se egzijans kò a. Men, moun k'ap viv dapre Lespri Bondye a, se yon sèl bagay ki man tèt yo: se egzijans Lespri a.(Creole-HT) ======= Romans 8:6 ============ Rom 8:6 For to be carnally minded is death; but to be spiritually minded is life and peace.(KJV-1611) Rom 8:6 Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= Romans 8:7 ============ Rom 8:7 Because the carnal mind is enmity against God: for it is not subject to the law of God, neither indeed can be.(KJV-1611) Rom 8:7 Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.(Creole-HT) ======= Romans 8:8 ============ Rom 8:8 So then they that are in the flesh cannot please God.(KJV-1611) Rom 8:8 Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= Romans 8:9 ============ Rom 8:9 But ye are not in the flesh, but in the Spirit, if so be that the Spirit of God dwell in you. Now if any man have not the Spirit of Christ, he is none of his.(KJV-1611) Rom 8:9 Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.(Creole-HT) ======= Romans 8:10 ============ Rom 8:10 And if Christ be in you, the body is dead because of sin; but the Spirit is life because of righteousness.(KJV-1611) Rom 8:10 Men, si Kris la ap viv nan ou, kò ou te mèt mouri akòz peche a, Lespri Bondye a ap ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 8:11 ============ Rom 8:11 But if the Spirit of him that raised up Jesus from the dead dwell in you, he that raised up Christ from the dead shall also quicken your mortal bodies by his Spirit that dwelleth in you.(KJV-1611) Rom 8:11 Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.(Creole-HT) ======= Romans 8:12 ============ Rom 8:12 Therefore, brethren, we are debtors, not to the flesh, to live after the flesh.(KJV-1611) Rom 8:12 Se konsa, frè m' yo, nou gen yon dèt. Men, se pa kò a nou dwe. Se poutèt sa, nou pa dwe viv dapre egzijans kò a.(Creole-HT) ======= Romans 8:13 ============ Rom 8:13 For if ye live after the flesh, ye shall die: but if ye through the Spirit do mortify the deeds of the body, ye shall live.(KJV-1611) Rom 8:13 Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv.(Creole-HT) ======= Romans 8:14 ============ Rom 8:14 For as many as are led by the Spirit of God, they are the sons of God.(KJV-1611) Rom 8:14 Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.(Creole-HT) ======= Romans 8:15 ============ Rom 8:15 For ye have not received the spirit of bondage again to fear; but ye have received the Spirit of adoption, whereby we cry, Abba, Father.(KJV-1611) Rom 8:15 Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.(Creole-HT) ======= Romans 8:16 ============ Rom 8:16 The Spirit itself beareth witness with our spirit, that we are the children of God:(KJV-1611) Rom 8:16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.(Creole-HT) ======= Romans 8:17 ============ Rom 8:17 And if children, then heirs; heirs of God, and joint-heirs with Christ; if so be that we suffer with him, that we may be also glorified together.(KJV-1611) Rom 8:17 Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l' yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.(Creole-HT) ======= Romans 8:18 ============ Rom 8:18 For I reckon that the sufferings of this present time are not worthy to be compared with the glory which shall be revealed in us.(KJV-1611) Rom 8:18 Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.(Creole-HT) ======= Romans 8:19 ============ Rom 8:19 For the earnest expectation of the creature waiteth for the manifestation of the sons of God.(KJV-1611) Rom 8:19 Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.(Creole-HT) ======= Romans 8:20 ============ Rom 8:20 For the creature was made subject to vanity, not willingly, but by reason of him who hath subjected the same in hope,(KJV-1611) Rom 8:20 Paske, tout kreyasyon an te tonbe pa fòs anba pouvwa bagay ki pa vo anyen an. Se pa paske li te vle l', men se akòz moun ki te vle l' konsa a. Men, li te toujou gen espwa,(Creole-HT) ======= Romans 8:21 ============ Rom 8:21 Because the creature itself also shall be delivered from the bondage of corruption into the glorious liberty of the children of God.(KJV-1611) Rom 8:21 yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l' la, pou l' ka jwi bèl libète pitit Bondye yo.(Creole-HT) ======= Romans 8:22 ============ Rom 8:22 For we know that the whole creation groaneth and travaileth in pain together until now.(KJV-1611) Rom 8:22 Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.(Creole-HT) ======= Romans 8:23 ============ Rom 8:23 And not only they, but ourselves also, which have the firstfruits of the Spirit, even we ourselves groan within ourselves, waiting for the adoption, to wit, the redemption of our body.(KJV-1611) Rom 8:23 Epi se pa li menm sèlman. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a tankou premye kado Bondye fè nou, n'ap pouse gwo soupi nan kè nou pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt, fin delivre kò nou yo.(Creole-HT) ======= Romans 8:24 ============ Rom 8:24 For we are saved by hope: but hope that is seen is not hope: for what a man seeth, why doth he yet hope for?(KJV-1611) Rom 8:24 Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja?(Creole-HT) ======= Romans 8:25 ============ Rom 8:25 But if we hope for that we see not, then do we with patience wait for it.(KJV-1611) Rom 8:25 Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans.(Creole-HT) ======= Romans 8:26 ============ Rom 8:26 Likewise the Spirit also helpeth our infirmities: for we know not what we should pray for as we ought: but the Spirit itself maketh intercession for us with groanings which cannot be uttered.(KJV-1611) Rom 8:26 Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.(Creole-HT) ======= Romans 8:27 ============ Rom 8:27 And he that searcheth the hearts knoweth what is the mind of the Spirit, because he maketh intercession for the saints according to the will of God.(KJV-1611) Rom 8:27 Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 8:28 ============ Rom 8:28 And we know that all things work together for good to them that love God, to them who are the called according to his purpose.(KJV-1611) Rom 8:28 Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.(Creole-HT) ======= Romans 8:29 ============ Rom 8:29 For whom he did foreknow, he also did predestinate to be conformed to the image of his Son, that he might be the firstborn among many brethren.(KJV-1611) Rom 8:29 Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè.(Creole-HT) ======= Romans 8:30 ============ Rom 8:30 Moreover whom he did predestinate, them he also called: and whom he called, them he also justified: and whom he justified, them he also glorified.(KJV-1611) Rom 8:30 Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou.(Creole-HT) ======= Romans 8:31 ============ Rom 8:31 What shall we then say to these things? If God be for us, who can be against us?(KJV-1611) Rom 8:31 Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?(Creole-HT) ======= Romans 8:32 ============ Rom 8:32 He that spared not his own Son, but delivered him up for us all, how shall he not with him also freely give us all things?(KJV-1611) Rom 8:32 Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?(Creole-HT) ======= Romans 8:33 ============ Rom 8:33 Who shall lay any thing to the charge of God's elect? It is God that justifieth.(KJV-1611) Rom 8:33 Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!(Creole-HT) ======= Romans 8:34 ============ Rom 8:34 Who is he that condemneth? It is Christ that died, yea rather, that is risen again, who is even at the right hand of God, who also maketh intercession for us.(KJV-1611) Rom 8:34 Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.(Creole-HT) ======= Romans 8:35 ============ Rom 8:35 Who shall separate us from the love of Christ? shall tribulation, or distress, or persecution, or famine, or nakedness, or peril, or sword?(KJV-1611) Rom 8:35 Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la:(Creole-HT) ======= Romans 8:36 ============ Rom 8:36 As it is written, For thy sake we are killed all the day long; we are accounted as sheep for the slaughter.(KJV-1611) Rom 8:36 Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.(Creole-HT) ======= Romans 8:37 ============ Rom 8:37 Nay, in all these things we are more than conquerors through him that loved us.(KJV-1611) Rom 8:37 Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.(Creole-HT) ======= Romans 8:38 ============ Rom 8:38 For I am persuaded, that neither death, nor life, nor angels, nor principalities, nor powers, nor things present, nor things to come,(KJV-1611) Rom 8:38 Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita,(Creole-HT) ======= Romans 8:39 ============ Rom 8:39 Nor height, nor depth, nor any other creature, shall be able to separate us from the love of God, which is in Christ Jesus our Lord.(KJV-1611) Rom 8:39 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Romans 9:1 ============ Rom 9:1 I say the truth in Christ, I lie not, my conscience also bearing me witness in the Holy Ghost,(KJV-1611) Rom 9:1 Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Romans 9:2 ============ Rom 9:2 That I have great heaviness and continual sorrow in my heart.(KJV-1611) Rom 9:2 Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.(Creole-HT) ======= Romans 9:3 ============ Rom 9:3 For I could wish that myself were accursed from Christ for my brethren, my kinsmen according to the flesh:(KJV-1611) Rom 9:3 Mwen ta pito wè m' tonbe anba madichon Bondye, mwen ta pito pèdi renmen Kris la gen pou mwen an si sa te ka sèvi pou byen frè m' yo, moun menm ras avè mwen yo.(Creole-HT) ======= Romans 9:4 ============ Rom 9:4 Who are Israelites; to whom pertaineth the adoption, and the glory, and the covenants, and the giving of the law, and the service of God, and the promises;(KJV-1611) Rom 9:4 Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.(Creole-HT) ======= Romans 9:5 ============ Rom 9:5 Whose are the fathers, and of whom as concerning the flesh Christ came, who is over all, God blessed for ever. Amen.(KJV-1611) Rom 9:5 Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la soti lè l' te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.(Creole-HT) ======= Romans 9:6 ============ Rom 9:6 Not as though the word of God hath taken none effect. For they are not all Israel, which are of Israel:(KJV-1611) Rom 9:6 Lè m' di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Romans 9:7 ============ Rom 9:7 Neither, because they are the seed of Abraham, are they all children: but, In Isaac shall thy seed be called.(KJV-1611) Rom 9:7 Se pa tout pitit pitit Abraram yo ki bon pitit pou li, paske Bondye te di Abraram, dapre sa ki ekri nan Liv la: Se Izarak ki va fè pitit pitit mwen te pwomèt ou yo.(Creole-HT) ======= Romans 9:8 ============ Rom 9:8 That is, They which are the children of the flesh, these are not the children of God: but the children of the promise are counted for the seed.(KJV-1611) Rom 9:8 Sa vle di: tout pitit ki fèt dapre egzijans natirèl kò a pa pitit Bondye. Se sèlman pitit ki fèt dapre pwomès Bondye a ki bon pitit pitit li.(Creole-HT) ======= Romans 9:9 ============ Rom 9:9 For this is the word of promise, At this time will I come, and Sarah shall have a son.(KJV-1611) Rom 9:9 Men ki jan Bondye te fè pwomès la: Lè konsa, lanne k'ap vini an, m'a tounen. Lè sa a Sara va gen tan gen yon pitit gason.(Creole-HT) ======= Romans 9:10 ============ Rom 9:10 And not only this; but when Rebecca also had conceived by one, even by our father Isaac;(KJV-1611) Rom 9:10 Gen lòt pawòl toujou pou di sou pwen sa a: Rebeka te fè de pitit gason pou yon sèl papa, Izarak granpapa nou.(Creole-HT) ======= Romans 9:11 ============ Rom 9:11 (For the children being not yet born, neither having done any good or evil, that the purpose of God according to election might stand, not of works, but of him that calleth;)(KJV-1611) Rom 9:11 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Romans 9:12 ============ Rom 9:12 It was said unto her, The elder shall serve the younger.(KJV-1611) Rom 9:12 Men, Bondye gen jan pa l' pou l' chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l' konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a.(Creole-HT) ======= Romans 9:13 ============ Rom 9:13 As it is written, Jacob have I loved, but Esau have I hated.(KJV-1611) Rom 9:13 Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou.(Creole-HT) ======= Romans 9:14 ============ Rom 9:14 What shall we say then? Is there unrighteousness with God? God forbid.(KJV-1611) Rom 9:14 Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non.(Creole-HT) ======= Romans 9:15 ============ Rom 9:15 For he saith to Moses, I will have mercy on whom I will have mercy, and I will have compassion on whom I will have compassion.(KJV-1611) Rom 9:15 Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m' pou moun mwen vle.(Creole-HT) ======= Romans 9:16 ============ Rom 9:16 So then it is not of him that willeth, nor of him that runneth, but of God that sheweth mercy.(KJV-1611) Rom 9:16 Se sak fè, bagay konsa pa gade lèzòm, ou mèt tande yo vle, ou mèt tande yo fè. Se bagay ki gade Bondye sèlman, li menm ki gen kè sansib.(Creole-HT) ======= Romans 9:17 ============ Rom 9:17 For the scripture saith unto Pharaoh, Even for this same purpose have I raised thee up, that I might shew my power in thee, and that my name might be declared throughout all the earth.(KJV-1611) Rom 9:17 Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Romans 9:18 ============ Rom 9:18 Therefore hath he mercy on whom he will have mercy, and whom he will he hardeneth.(KJV-1611) Rom 9:18 Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li.(Creole-HT) ======= Romans 9:19 ============ Rom 9:19 Thou wilt say then unto me, Why doth he yet find fault? For who hath resisted his will?(KJV-1611) Rom 9:19 Koulye a, n'a mande m': Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye?(Creole-HT) ======= Romans 9:20 ============ Rom 9:20 Nay but, O man, who art thou that repliest against God? Shall the thing formed say to him that formed it, Why hast thou made me thus?(KJV-1611) Rom 9:20 Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'?(Creole-HT) ======= Romans 9:21 ============ Rom 9:21 Hath not the potter power over the clay, of the same lump to make one vessel unto honour, and another unto dishonour?(KJV-1611) Rom 9:21 Moun k'ap bat tè pou fè krich la gen dwa fè sa l' vle ak tè a. Avèk menm pa t' labou a, li ka fè de kalite krich: yon bèl krich byen chè ak yon krich bon mache.(Creole-HT) ======= Romans 9:22 ============ Rom 9:22 What if God, willing to shew his wrath, and to make his power known, endured with much longsuffering the vessels of wrath fitted to destruction:(KJV-1611) Rom 9:22 Nou pa gen anyen pou n' di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, an menm tan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri.(Creole-HT) ======= Romans 9:23 ============ Rom 9:23 And that he might make known the riches of his glory on the vessels of mercy, which he had afore prepared unto glory,(KJV-1611) Rom 9:23 Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo.(Creole-HT) ======= Romans 9:24 ============ Rom 9:24 Even us, whom he hath called, not of the Jews only, but also of the Gentiles?(KJV-1611) Rom 9:24 Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou.(Creole-HT) ======= Romans 9:25 ============ Rom 9:25 As he saith also in Osee, I will call them my people, which were not my people; and her beloved, which was not beloved.(KJV-1611) Rom 9:25 Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pa t' pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pa t' renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen.(Creole-HT) ======= Romans 9:26 ============ Rom 9:26 And it shall come to pass, that in the place where it was said unto them, Ye are not my people; there shall they be called the children of the living God.(KJV-1611) Rom 9:26 Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye. se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.(Creole-HT) ======= Romans 9:27 ============ Rom 9:27 Esaias also crieth concerning Israel, Though the number of the children of Israel be as the sand of the sea, a remnant shall be saved:(KJV-1611) Rom 9:27 Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove.(Creole-HT) ======= Romans 9:28 ============ Rom 9:28 For he will finish the work, and cut it short in righteousness: because a short work will the Lord make upon the earth.(KJV-1611) Rom 9:28 Paske, Mèt la gen pou l' fè tou sa l' te di a nèt, epi byen vit ankò, sou tout latè.(Creole-HT) ======= Romans 9:29 ============ Rom 9:29 And as Esaias said before, Except the Lord of Sabaoth had left us a seed, we had been as Sodoma, and been made like unto Gomorrha.(KJV-1611) Rom 9:29 Tankou menm pwofèt Ezayi sa a te di anvan: Si Mèt ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk pitit pitit pou nou, nou ta pase tankou Sodòm, nou ta menm jan ak Gomò.(Creole-HT) ======= Romans 9:30 ============ Rom 9:30 What shall we say then? That the Gentiles, which followed not after righteousness, have attained to righteousness, even the righteousness which is of faith.(KJV-1611) Rom 9:30 Kisa n'a di nan tou sa? Men sa n'a di: Moun ki pa t' jwif yo, ki pa t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras la, se yo menm Bondye fè gras paske yo mete konfyans yo nan li.(Creole-HT) ======= Romans 9:31 ============ Rom 9:31 But Israel, which followed after the law of righteousness, hath not attained to the law of righteousness.(KJV-1611) Rom 9:31 Men, moun pèp Izrayèl yo ki t'ap chache yon lalwa ki pou ta fè Bondye fè yo gras, yo pa jwenn sa yo t'ap chache a.(Creole-HT) ======= Romans 9:32 ============ Rom 9:32 Wherefore? Because they sought it not by faith, but as it were by the works of the law. For they stumbled at that stumblingstone;(KJV-1611) Rom 9:32 Poukisa? Paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye; yo t'ap chache mwayen pou Bondye fè yo gras ak zèv yo t'ap fè yo. Se konsa y' al frape pye yo sou wòch k'ap fè moun bite a,(Creole-HT) ======= Romans 9:33 ============ Rom 9:33 As it is written, Behold, I lay in Sion a stumblingstone and rock of offence: and whosoever believeth on him shall not be ashamed.(KJV-1611) Rom 9:33 jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.(Creole-HT) ======= Romans 10:1 ============ Rom 10:1 Brethren, my heart's desire and prayer to God for Israel is, that they might be saved.(KJV-1611) Rom 10:1 Frè m' yo, jan m' ta renmen wè jwif yo sove! Jan mwen pa manke lapriyè Bondye pou yo!(Creole-HT) ======= Romans 10:2 ============ Rom 10:2 For I bear them record that they have a zeal of God, but not according to knowledge.(KJV-1611) Rom 10:2 Paske, m'ap kanpe di sa pou yo: yo devwe anpil pou sèvis Bondye a, men yo manke konprann.(Creole-HT) ======= Romans 10:3 ============ Rom 10:3 For they being ignorant of God's righteousness, and going about to establish their own righteousness, have not submitted themselves unto the righteousness of God.(KJV-1611) Rom 10:3 Yo pa t' konprann ki jan Bondye t'ap fè lèzòm gras. Yo te pito chache fè sa nan jan pa yo. Se konsa yo pa t' asepte jan Bondye te vle fè l' la.(Creole-HT) ======= Romans 10:4 ============ Rom 10:4 For Christ is the end of the law for righteousness to every one that believeth.(KJV-1611) Rom 10:4 Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.(Creole-HT) ======= Romans 10:5 ============ Rom 10:5 For Moses describeth the righteousness which is of the law, That the man which doeth those things shall live by them.(KJV-1611) Rom 10:5 Koute: men sa Moyiz te ekri pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' fè sa lalwa a mande: Moun ki va fè sa lalwa a mande li fè a, va jwenn lavi l' ladan li.(Creole-HT) ======= Romans 10:6 ============ Rom 10:6 But the righteousness which is of faith speaketh on this wise, Say not in thine heart, Who shall ascend into heaven? (that is, to bring Christ down from above:)(KJV-1611) Rom 10:6 Men, men sa yo di pou esplike ki jan Bondye fè yon moun gras lè l' kwè: Piga ou di nan kè ou: Kilès ki va moute nan syèl la? (Sa vle di: pou fè Kris la desann soti ladan li.)(Creole-HT) ======= Romans 10:7 ============ Rom 10:7 Or, Who shall descend into the deep? (that is, to bring up Christ again from the dead.)(KJV-1611) Rom 10:7 Ou ankò: Kilès ki va desann anba nan gwo twou san fon an? (Sa vle di: pou fè Kris la leve soti vivan pami mò yo.)(Creole-HT) ======= Romans 10:8 ============ Rom 10:8 But what saith it? The word is nigh thee, even in thy mouth, and in thy heart: that is, the word of faith, which we preach;(KJV-1611) Rom 10:8 Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesaj konfyans nan Bondye, mesaj n'ap anonse a.(Creole-HT) ======= Romans 10:9 ============ Rom 10:9 That if thou shalt confess with thy mouth the Lord Jesus, and shalt believe in thine heart that God hath raised him from the dead, thou shalt be saved.(KJV-1611) Rom 10:9 Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.(Creole-HT) ======= Romans 10:10 ============ Rom 10:10 For with the heart man believeth unto righteousness; and with the mouth confession is made unto salvation.(KJV-1611) Rom 10:10 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,(Creole-HT) ======= Romans 10:11 ============ Rom 10:11 For the scripture saith, Whosoever believeth on him shall not be ashamed.(KJV-1611) Rom 10:11 dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.(Creole-HT) ======= Romans 10:12 ============ Rom 10:12 For there is no difference between the Jew and the Greek: for the same Lord over all is rich unto all that call upon him.(KJV-1611) Rom 10:12 Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.(Creole-HT) ======= Romans 10:13 ============ Rom 10:13 For whosoever shall call upon the name of the Lord shall be saved.(KJV-1611) Rom 10:13 Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= Romans 10:14 ============ Rom 10:14 How then shall they call on him in whom they have not believed? and how shall they believe in him of whom they have not heard? and how shall they hear without a preacher?(KJV-1611) Rom 10:14 Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,(Creole-HT) ======= Romans 10:15 ============ Rom 10:15 And how shall they preach, except they be sent? as it is written, How beautiful are the feet of them that preach the gospel of peace, and bring glad tidings of good things!(KJV-1611) Rom 10:15 si pa gen pesonn pou fè konnen mesaj la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesaj la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon bon nouvèl ap vini!(Creole-HT) ======= Romans 10:16 ============ Rom 10:16 But they have not all obeyed the gospel. For Esaias saith, Lord, who hath believed our report?(KJV-1611) Rom 10:16 Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?(Creole-HT) ======= Romans 10:17 ============ Rom 10:17 So then faith cometh by hearing, and hearing by the word of God.(KJV-1611) Rom 10:17 Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse.(Creole-HT) ======= Romans 10:18 ============ Rom 10:18 But I say, Have they not heard? Yes verily, their sound went into all the earth, and their words unto the ends of the world.(KJV-1611) Rom 10:18 Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.(Creole-HT) ======= Romans 10:19 ============ Rom 10:19 But I say, Did not Israel know? First Moses saith, I will provoke you to jealousy by them that are no people, and by a foolish nation I will anger you.(KJV-1611) Rom 10:19 Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pa t' konprann sa? Pou kòmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann.(Creole-HT) ======= Romans 10:20 ============ Rom 10:20 But Esaias is very bold, and saith, I was found of them that sought me not; I was made manifest unto them that asked not after me.(KJV-1611) Rom 10:20 Ezayi menm pouse radiyès li pi lwen toujou lè l' di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen.(Creole-HT) ======= Romans 10:21 ============ Rom 10:21 But to Israel he saith, All day long I have stretched forth my hands unto a disobedient and gainsaying people.(KJV-1611) Rom 10:21 Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m' bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò.(Creole-HT) ======= Romans 11:1 ============ Rom 11:1 I say then, Hath God cast away his people? God forbid. For I also am an Israelite, of the seed of Abraham, of the tribe of Benjamin.(KJV-1611) Rom 11:1 Koulye a, m'ap mande: Eske Bondye te voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm, mwen se yon moun pèp Izrayèl, yon pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen.(Creole-HT) ======= Romans 11:2 ============ Rom 11:2 God hath not cast away his people which he foreknew. Wot ye not what the scripture saith of Elias? how he maketh intercession to God against Israel saying,(KJV-1611) Rom 11:2 Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan Liv la, kote y'ap rakonte ki jan Eli t'ap pote plent bay Bondye pou pèp Izrayèl la:(Creole-HT) ======= Romans 11:3 ============ Rom 11:3 Lord, they have killed thy prophets, and digged down thine altars; and I am left alone, and they seek my life.(KJV-1611) Rom 11:3 Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo; se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m' tou?(Creole-HT) ======= Romans 11:4 ============ Rom 11:4 But what saith the answer of God unto him? I have reserved to myself seven thousand men, who have not bowed the knee to the image of Baal.(KJV-1611) Rom 11:4 Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm pou mwen ki pa janm mete jenou yo atè devan Baal.(Creole-HT) ======= Romans 11:5 ============ Rom 11:5 Even so then at this present time also there is a remnant according to the election of grace.(KJV-1611) Rom 11:5 Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:6 ============ Rom 11:6 And if by grace, then is it no more of works: otherwise grace is no more grace. But if it be of works, then it is no more grace: otherwise work is no more work.(KJV-1611) Rom 11:6 Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo fave sa a; men se paske Bondye te vle fè l' pou yo. Si se pa t' konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.(Creole-HT) ======= Romans 11:7 ============ Rom 11:7 What then? Israel hath not obtained that which he seeketh for; but the election hath obtained it, and the rest were blinded.(KJV-1611) Rom 11:7 Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di,(Creole-HT) ======= Romans 11:8 ============ Rom 11:8 (According as it is written, God hath given them the spirit of slumber, eyes that they should not see, and ears that they should not hear;) unto this day.(KJV-1611) Rom 11:8 dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè; yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a.(Creole-HT) ======= Romans 11:9 ============ Rom 11:9 And David saith, Let their table be made a snare, and a trap, and a stumblingblock, and a recompence unto them:(KJV-1611) Rom 11:9 David, bò pa l', di tou: Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l', pou yo resevwa chatiman yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:10 ============ Rom 11:10 Let their eyes be darkened, that they may not see, and bow down their back alway.(KJV-1611) Rom 11:10 Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan.(Creole-HT) ======= Romans 11:11 ============ Rom 11:11 I say then, Have they stumbled that they should fall? God forbid: but rather through their fall salvation is come unto the Gentiles, for to provoke them to jealousy.(KJV-1611) Rom 11:11 Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:12 ============ Rom 11:12 Now if the fall of them be the riches of the world, and the diminishing of them the riches of the Gentiles; how much more their fulness?(KJV-1611) Rom 11:12 Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!(Creole-HT) ======= Romans 11:13 ============ Rom 11:13 For I speak to you Gentiles, inasmuch as I am the apostle of the Gentiles, I magnify mine office:(KJV-1611) Rom 11:13 Koulye a, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m' di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a.(Creole-HT) ======= Romans 11:14 ============ Rom 11:14 If by any means I may provoke to emulation them which are my flesh, and might save some of them.(KJV-1611) Rom 11:14 Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m' ka delivre kèk nan yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:15 ============ Rom 11:15 For if the casting away of them be the reconciling of the world, what shall the receiving of them be, but life from the dead?(KJV-1611) Rom 11:15 Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisak va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo!(Creole-HT) ======= Romans 11:16 ============ Rom 11:16 For if the firstfruit be holy, the lump is also holy: and if the root be holy, so are the branches.(KJV-1611) Rom 11:16 Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou.(Creole-HT) ======= Romans 11:17 ============ Rom 11:17 And if some of the branches be broken off, and thou, being a wild olive tree, wert graffed in among them, and with them partakest of the root and fatness of the olive tree;(KJV-1611) Rom 11:17 Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv kay. Yo koupe kèk branch soti ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon branch pye oliv mawon yo grefe nan plas branch yo koupe yo. Kifè koulye a, se ou menm k'ap pwofite lèt rasin k'ap nouri pye oliv kay la.(Creole-HT) ======= Romans 11:18 ============ Rom 11:18 Boast not against the branches. But if thou boast, thou bearest not the root, but the root thee.(KJV-1611) Rom 11:18 Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.(Creole-HT) ======= Romans 11:19 ============ Rom 11:19 Thou wilt say then, The branches were broken off, that I might be graffed in.(KJV-1611) Rom 11:19 Lè sa a wa di m': Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m' nan plas yo?(Creole-HT) ======= Romans 11:20 ============ Rom 11:20 Well; because of unbelief they were broken off, and thou standest by faith. Be not highminded, but fear:(KJV-1611) Rom 11:20 Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye; ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou.(Creole-HT) ======= Romans 11:21 ============ Rom 11:21 For if God spared not the natural branches, take heed lest he also spare not thee.(KJV-1611) Rom 11:21 Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman.(Creole-HT) ======= Romans 11:22 ============ Rom 11:22 Behold therefore the goodness and severity of God: on them which fell, severity; but toward thee, goodness, if thou continue in his goodness: otherwise thou also shalt be cut off.(KJV-1611) Rom 11:22 Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:23 ============ Rom 11:23 And they also, if they abide not still in unbelief, shall be graffed in: for God is able to graff them in again.(KJV-1611) Rom 11:23 Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò.(Creole-HT) ======= Romans 11:24 ============ Rom 11:24 For if thou wert cut out of the olive tree which is wild by nature, and wert graffed contrary to nature into a good olive tree: how much more shall these, which be the natural branches, be graffed into their own olive tree?(KJV-1611) Rom 11:24 Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L'ap pi fasil toujou pou grefe yo ankò sou pyebwa pa yo a.(Creole-HT) ======= Romans 11:25 ============ Rom 11:25 For I would not, brethren, that ye should be ignorant of this mystery, lest ye should be wise in your own conceits; that blindness in part is happened to Israel, until the fulness of the Gentiles be come in.(KJV-1611) Rom 11:25 Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.(Creole-HT) ======= Romans 11:26 ============ Rom 11:26 And so all Israel shall be saved: as it is written, There shall come out of Sion the Deliverer, and shall turn away ungodliness from Jacob:(KJV-1611) Rom 11:26 Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen.(Creole-HT) ======= Romans 11:27 ============ Rom 11:27 For this is my covenant unto them, when I shall take away their sins.(KJV-1611) Rom 11:27 Men kontra m' pral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:28 ============ Rom 11:28 As concerning the gospel, they are enemies for your sakes: but as touching the election, they are beloved for the father's sakes.(KJV-1611) Rom 11:28 Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:29 ============ Rom 11:29 For the gifts and calling of God are without repentance.(KJV-1611) Rom 11:29 Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p'ap chanje lide lè l' fin rele yon moun.(Creole-HT) ======= Romans 11:30 ============ Rom 11:30 For as ye in times past have not believed God, yet have now obtained mercy through their unbelief:(KJV-1611) Rom 11:30 Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, koulye a nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li.(Creole-HT) ======= Romans 11:31 ============ Rom 11:31 Even so have these also now not believed, that through your mercy they also may obtain mercy.(KJV-1611) Rom 11:31 Konsa tou, koulye a jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo.(Creole-HT) ======= Romans 11:32 ============ Rom 11:32 For God hath concluded them all in unbelief, that he might have mercy upon all.(KJV-1611) Rom 11:32 Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm.(Creole-HT) ======= Romans 11:33 ============ Rom 11:33 O the depth of the riches both of the wisdom and knowledge of God! how unsearchable are his judgments, and his ways past finding out!(KJV-1611) Rom 11:33 O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:(Creole-HT) ======= Romans 11:34 ============ Rom 11:34 For who hath known the mind of the Lord? or who hath been his counsellor?(KJV-1611) Rom 11:34 Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?(Creole-HT) ======= Romans 11:35 ============ Rom 11:35 Or who hath first given to him, and it shall be recompensed unto him again?(KJV-1611) Rom 11:35 Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa?(Creole-HT) ======= Romans 11:36 ============ Rom 11:36 For of him, and through him, and to him, are all things: to whom be glory for ever. Amen.(KJV-1611) Rom 11:36 Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.(Creole-HT) ======= Romans 12:1 ============ Rom 12:1 I beseech you therefore, brethren, by the mercies of God, that ye present your bodies a living sacrifice, holy, acceptable unto God, which is your reasonable service.(KJV-1611) Rom 12:1 Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.(Creole-HT) ======= Romans 12:2 ============ Rom 12:2 And be not conformed to this world: but be ye transformed by the renewing of your mind, that ye may prove what is that good, and acceptable, and perfect, will of God.(KJV-1611) Rom 12:2 Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.(Creole-HT) ======= Romans 12:3 ============ Rom 12:3 For I say, through the grace given unto me, to every man that is among you, not to think of himself more highly than he ought to think; but to think soberly, according as God hath dealt to every man the measure of faith.(KJV-1611) Rom 12:3 Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa.(Creole-HT) ======= Romans 12:4 ============ Rom 12:4 For as we have many members in one body, and all members have not the same office:(KJV-1611) Rom 12:4 Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa.(Creole-HT) ======= Romans 12:5 ============ Rom 12:5 So we, being many, are one body in Christ, and every one members one of another.(KJV-1611) Rom 12:5 Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.(Creole-HT) ======= Romans 12:6 ============ Rom 12:6 Having then gifts differing according to the grace that is given to us, whether prophecy, let us prophesy according to the proportion of faith;(KJV-1611) Rom 12:6 Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an.(Creole-HT) ======= Romans 12:7 ============ Rom 12:7 Or ministry, let us wait on our ministering: or he that teacheth, on teaching;(KJV-1611) Rom 12:7 Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' moutre lòt anpil bagay, se sa pou l' fè.(Creole-HT) ======= Romans 12:8 ============ Rom 12:8 Or he that exhorteth, on exhortation: he that giveth, let him do it with simplicity; he that ruleth, with diligence; he that sheweth mercy, with cheerfulness.(KJV-1611) Rom 12:8 Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.(Creole-HT) ======= Romans 12:9 ============ Rom 12:9 Let love be without dissimulation. Abhor that which is evil; cleave to that which is good.(KJV-1611) Rom 12:9 Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Romans 12:10 ============ Rom 12:10 Be kindly affectioned one to another with brotherly love; in honour preferring one another;(KJV-1611) Rom 12:10 Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.(Creole-HT) ======= Romans 12:11 ============ Rom 12:11 Not slothful in business; fervent in spirit; serving the Lord;(KJV-1611) Rom 12:11 Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.(Creole-HT) ======= Romans 12:12 ============ Rom 12:12 Rejoicing in hope; patient in tribulation; continuing instant in prayer;(KJV-1611) Rom 12:12 Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.(Creole-HT) ======= Romans 12:13 ============ Rom 12:13 Distributing to the necessity of saints; given to hospitality.(KJV-1611) Rom 12:13 Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.(Creole-HT) ======= Romans 12:14 ============ Rom 12:14 Bless them which persecute you: bless, and curse not.(KJV-1611) Rom 12:14 Mande Bondye pou l' beni moun k'ap pèsekite nou; mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.(Creole-HT) ======= Romans 12:15 ============ Rom 12:15 Rejoice with them that do rejoice, and weep with them that weep.(KJV-1611) Rom 12:15 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.(Creole-HT) ======= Romans 12:16 ============ Rom 12:16 Be of the same mind one toward another. Mind not high things, but condescend to men of low estate. Be not wise in your own conceits.(KJV-1611) Rom 12:16 Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.(Creole-HT) ======= Romans 12:17 ============ Rom 12:17 Recompense to no man evil for evil. Provide things honest in the sight of all men.(KJV-1611) Rom 12:17 Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.(Creole-HT) ======= Romans 12:18 ============ Rom 12:18 If it be possible, as much as lieth in you, live peaceably with all men.(KJV-1611) Rom 12:18 Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.(Creole-HT) ======= Romans 12:19 ============ Rom 12:19 Dearly beloved, avenge not yourselves, but rather give place unto wrath: for it is written, Vengeance is mine; I will repay, saith the Lord.(KJV-1611) Rom 12:19 Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.(Creole-HT) ======= Romans 12:20 ============ Rom 12:20 Therefore if thine enemy hunger, feed him; if he thirst, give him drink: for in so doing thou shalt heap coals of fire on his head.(KJV-1611) Rom 12:20 Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje.(Creole-HT) ======= Romans 12:21 ============ Rom 12:21 Be not overcome of evil, but overcome evil with good.(KJV-1611) Rom 12:21 Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n' kraze sa ki mal.(Creole-HT) ======= Romans 13:1 ============ Rom 13:1 Let every soul be subject unto the higher powers. For there is no power but of God: the powers that be are ordained of God.(KJV-1611) Rom 13:1 Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.(Creole-HT) ======= Romans 13:2 ============ Rom 13:2 Whosoever therefore resisteth the power, resisteth the ordinance of God: and they that resist shall receive to themselves damnation.(KJV-1611) Rom 13:2 Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite yo, yo refize obeyi lòd Bondye tabli. Moun ki refize obeyi lòd la, y'ap rale yon jijman sou tèt pa yo.(Creole-HT) ======= Romans 13:3 ============ Rom 13:3 For rulers are not a terror to good works, but to the evil. Wilt thou then not be afraid of the power? do that which is good, and thou shalt have praise of the same:(KJV-1611) Rom 13:3 Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo.(Creole-HT) ======= Romans 13:4 ============ Rom 13:4 For he is the minister of God to thee for good. But if thou do that which is evil, be afraid; for he beareth not the sword in vain: for he is the minister of God, a revenger to execute wrath upon him that doeth evil.(KJV-1611) Rom 13:4 Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Romans 13:5 ============ Rom 13:5 Wherefore ye must needs be subject, not only for wrath, but also for conscience sake.(KJV-1611) Rom 13:5 Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen.(Creole-HT) ======= Romans 13:6 ============ Rom 13:6 For for this cause pay ye tribute also: for they are God's ministers, attending continually upon this very thing.(KJV-1611) Rom 13:6 Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen.(Creole-HT) ======= Romans 13:7 ============ Rom 13:7 Render therefore to all their dues: tribute to whom tribute is due; custom to whom custom; fear to whom fear; honour to whom honour.(KJV-1611) Rom 13:7 Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte.(Creole-HT) ======= Romans 13:8 ============ Rom 13:8 Owe no man any thing, but to love one another: for he that loveth another hath fulfilled the law.(KJV-1611) Rom 13:8 Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande.(Creole-HT) ======= Romans 13:9 ============ Rom 13:9 For this, Thou shalt not commit adultery, Thou shalt not kill, Thou shalt not steal, Thou shalt not bear false witness, Thou shalt not covet; and if there be any other commandment, it is briefly comprehended in this saying, namely, Thou shalt love thy neighbour as thyself.(KJV-1611) Rom 13:9 Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Romans 13:10 ============ Rom 13:10 Love worketh no ill to his neighbour: therefore love is the fulfilling of the law.(KJV-1611) Rom 13:10 Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sak fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.(Creole-HT) ======= Romans 13:11 ============ Rom 13:11 And that, knowing the time, that now it is high time to awake out of sleep: for now is our salvation nearer than when we believed.(KJV-1611) Rom 13:11 Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.(Creole-HT) ======= Romans 13:12 ============ Rom 13:12 The night is far spent, the day is at hand: let us therefore cast off the works of darkness, and let us put on the armour of light.(KJV-1611) Rom 13:12 Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.(Creole-HT) ======= Romans 13:13 ============ Rom 13:13 Let us walk honestly, as in the day; not in rioting and drunkenness, not in chambering and wantonness, not in strife and envying.(KJV-1611) Rom 13:13 Ann mennen bak nou jan nou dwe, tankou moun k'ap viv gwo lajounen. Pa fè eksè nan manje ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch ni nan vis. Pa chache moun kont, pa fè jalouzi.(Creole-HT) ======= Romans 13:14 ============ Rom 13:14 But put ye on the Lord Jesus Christ, and make not provision for the flesh, to fulfil the lusts thereof.(KJV-1611) Rom 13:14 Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.(Creole-HT) ======= Romans 14:1 ============ Rom 14:1 Him that is weak in the faith receive ye, but not to doubtful disputations.(KJV-1611) Rom 14:1 Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.(Creole-HT) ======= Romans 14:2 ============ Rom 14:2 For one believeth that he may eat all things: another, who is weak, eateth herbs.(KJV-1611) Rom 14:2 Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.(Creole-HT) ======= Romans 14:3 ============ Rom 14:3 Let not him that eateth despise him that eateth not; and let not him which eateth not judge him that eateth: for God hath received him.(KJV-1611) Rom 14:3 Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a.(Creole-HT) ======= Romans 14:4 ============ Rom 14:4 Who art thou that judgest another man's servant? to his own master he standeth or falleth. Yea, he shall be holden up: for God is able to make him stand.(KJV-1611) Rom 14:4 Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.(Creole-HT) ======= Romans 14:5 ============ Rom 14:5 One man esteemeth one day above another: another esteemeth every day alike. Let every man be fully persuaded in his own mind.(KJV-1611) Rom 14:5 M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.(Creole-HT) ======= Romans 14:6 ============ Rom 14:6 He that regardeth the day, regardeth it unto the Lord; and he that regardeth not the day, to the Lord he doth not regard it. He that eateth, eateth to the Lord, for he giveth God thanks; and he that eateth not, to the Lord he eateth not, and giveth God thanks.(KJV-1611) Rom 14:6 Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Romans 14:7 ============ Rom 14:7 For none of us liveth to himself, and no man dieth to himself.(KJV-1611) Rom 14:7 Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Romans 14:8 ============ Rom 14:8 For whether we live, we live unto the Lord; and whether we die, we die unto the Lord: whether we live therefore, or die, we are the Lord's.(KJV-1611) Rom 14:8 si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye.(Creole-HT) ======= Romans 14:9 ============ Rom 14:9 For to this end Christ both died, and rose, and revived, that he might be Lord both of the dead and living.(KJV-1611) Rom 14:9 Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.(Creole-HT) ======= Romans 14:10 ============ Rom 14:10 But why dost thou judge thy brother? or why dost thou set at nought thy brother? for we shall all stand before the judgment seat of Christ.(KJV-1611) Rom 14:10 Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.(Creole-HT) ======= Romans 14:11 ============ Rom 14:11 For it is written, As I live, saith the Lord, every knee shall bow to me, and every tongue shall confess to God.(KJV-1611) Rom 14:11 Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 14:12 ============ Rom 14:12 So then every one of us shall give account of himself to God.(KJV-1611) Rom 14:12 Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.(Creole-HT) ======= Romans 14:13 ============ Rom 14:13 Let us not therefore judge one another any more: but judge this rather, that no man put a stumblingblock or an occasion to fall in his brother's way.(KJV-1611) Rom 14:13 Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Romans 14:14 ============ Rom 14:14 I know, and am persuaded by the Lord Jesus, that there is nothing unclean of itself: but to him that esteemeth any thing to be unclean, to him it is unclean.(KJV-1611) Rom 14:14 Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li.(Creole-HT) ======= Romans 14:15 ============ Rom 14:15 But if thy brother be grieved with thy meat, now walkest thou not charitably. Destroy not him with thy meat, for whom Christ died.(KJV-1611) Rom 14:15 Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou.(Creole-HT) ======= Romans 14:16 ============ Rom 14:16 Let not then your good be evil spoken of:(KJV-1611) Rom 14:16 Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal.(Creole-HT) ======= Romans 14:17 ============ Rom 14:17 For the kingdom of God is not meat and drink; but righteousness, and peace, and joy in the Holy Ghost.(KJV-1611) Rom 14:17 Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.(Creole-HT) ======= Romans 14:18 ============ Rom 14:18 For he that in these things serveth Christ is acceptable to God, and approved of men.(KJV-1611) Rom 14:18 Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.(Creole-HT) ======= Romans 14:19 ============ Rom 14:19 Let us therefore follow after the things which make for peace, and things wherewith one may edify another.(KJV-1611) Rom 14:19 Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 14:20 ============ Rom 14:20 For meat destroy not the work of God. All things indeed are pure; but it is evil for that man who eateth with offence.(KJV-1611) Rom 14:20 Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Romans 14:21 ============ Rom 14:21 It is good neither to eat flesh, nor to drink wine, nor any thing whereby thy brother stumbleth, or is offended, or is made weak.(KJV-1611) Rom 14:21 Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= Romans 14:22 ============ Rom 14:22 Hast thou faith? have it to thyself before God. Happy is he that condemneth not himself in that thing which he alloweth.(KJV-1611) Rom 14:22 Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l' pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè.(Creole-HT) ======= Romans 14:23 ============ Rom 14:23 And he that doubteth is damned if he eat, because he eateth not of faith: for whatsoever is not of faith is sin.(KJV-1611) Rom 14:23 Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.(Creole-HT) ======= Romans 15:1 ============ Rom 15:1 We then that are strong ought to bear the infirmities of the weak, and not to please ourselves.(KJV-1611) Rom 15:1 Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.(Creole-HT) ======= Romans 15:2 ============ Rom 15:2 Let every one of us please his neighbour for his good to edification.(KJV-1611) Rom 15:2 Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 15:3 ============ Rom 15:3 For even Christ pleased not himself; but, as it is written, The reproaches of them that reproached thee fell on me.(KJV-1611) Rom 15:3 Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure.(Creole-HT) ======= Romans 15:4 ============ Rom 15:4 For whatsoever things were written aforetime were written for our learning, that we through patience and comfort of the scriptures might have hope.(KJV-1611) Rom 15:4 Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 15:5 ============ Rom 15:5 Now the God of patience and consolation grant you to be likeminded one toward another according to Christ Jesus:(KJV-1611) Rom 15:5 Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Romans 15:6 ============ Rom 15:6 That ye may with one mind and one mouth glorify God, even the Father of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Rom 15:6 Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Romans 15:7 ============ Rom 15:7 Wherefore receive ye one another, as Christ also received us to the glory of God.(KJV-1611) Rom 15:7 Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 15:8 ============ Rom 15:8 Now I say that Jesus Christ was a minister of the circumcision for the truth of God, to confirm the promises made unto the fathers:(KJV-1611) Rom 15:8 Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= Romans 15:9 ============ Rom 15:9 And that the Gentiles might glorify God for his mercy; as it is written, For this cause I will confess to thee among the Gentiles, and sing unto thy name.(KJV-1611) Rom 15:9 Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.(Creole-HT) ======= Romans 15:10 ============ Rom 15:10 And again he saith, Rejoice, ye Gentiles, with his people.(KJV-1611) Rom 15:10 Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a.(Creole-HT) ======= Romans 15:11 ============ Rom 15:11 And again, Praise the Lord, all ye Gentiles; and laud him, all ye people.(KJV-1611) Rom 15:11 Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!(Creole-HT) ======= Romans 15:12 ============ Rom 15:12 And again, Esaias saith, There shall be a root of Jesse, and he that shall rise to reign over the Gentiles; in him shall the Gentiles trust.(KJV-1611) Rom 15:12 Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li.(Creole-HT) ======= Romans 15:13 ============ Rom 15:13 Now the God of hope fill you with all joy and peace in believing, that ye may abound in hope, through the power of the Holy Ghost.(KJV-1611) Rom 15:13 Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.(Creole-HT) ======= Romans 15:14 ============ Rom 15:14 And I myself also am persuaded of you, my brethren, that ye also are full of goodness, filled with all knowledge, able also to admonish one another.(KJV-1611) Rom 15:14 Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.(Creole-HT) ======= Romans 15:15 ============ Rom 15:15 Nevertheless, brethren, I have written the more boldly unto you in some sort, as putting you in mind, because of the grace that is given to me of God,(KJV-1611) Rom 15:15 Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan,(Creole-HT) ======= Romans 15:16 ============ Rom 15:16 That I should be the minister of Jesus Christ to the Gentiles, ministering the gospel of God, that the offering up of the Gentiles might be acceptable, being sanctified by the Holy Ghost.(KJV-1611) Rom 15:16 pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.(Creole-HT) ======= Romans 15:17 ============ Rom 15:17 I have therefore whereof I may glory through Jesus Christ in those things which pertain to God.(KJV-1611) Rom 15:17 Se pou sa, mwen gen dwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 15:18 ============ Rom 15:18 For I will not dare to speak of any of those things which Christ hath not wrought by me, to make the Gentiles obedient, by word and deed,(KJV-1611) Rom 15:18 -(we vèsè pwochen)(Creole-HT) ======= Romans 15:19 ============ Rom 15:19 Through mighty signs and wonders, by the power of the Spirit of God; so that from Jerusalem, and round about unto Illyricum, I have fully preached the gospel of Christ.(KJV-1611) Rom 15:19 Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.(Creole-HT) ======= Romans 15:20 ============ Rom 15:20 Yea, so have I strived to preach the gospel, not where Christ was named, lest I should build upon another man's foundation:(KJV-1611) Rom 15:20 Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze,(Creole-HT) ======= Romans 15:21 ============ Rom 15:21 But as it is written, To whom he was not spoken of, they shall see: and they that have not heard shall understand.(KJV-1611) Rom 15:21 jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann.(Creole-HT) ======= Romans 15:22 ============ Rom 15:22 For which cause also I have been much hindered from coming to you.(KJV-1611) Rom 15:22 Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou.(Creole-HT) ======= Romans 15:23 ============ Rom 15:23 But now having no more place in these parts, and having a great desire these many years to come unto you;(KJV-1611) Rom 15:23 Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou.(Creole-HT) ======= Romans 15:24 ============ Rom 15:24 Whensoever I take my journey into Spain, I will come to you: for I trust to see you in my journey, and to be brought on my way thitherward by you, if first I be somewhat filled with your company.(KJV-1611) Rom 15:24 Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Romans 15:25 ============ Rom 15:25 But now I go unto Jerusalem to minister unto the saints.(KJV-1611) Rom 15:25 Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis.(Creole-HT) ======= Romans 15:26 ============ Rom 15:26 For it hath pleased them of Macedonia and Achaia to make a certain contribution for the poor saints which are at Jerusalem.(KJV-1611) Rom 15:26 Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm.(Creole-HT) ======= Romans 15:27 ============ Rom 15:27 It hath pleased them verily; and their debtors they are. For if the Gentiles have been made partakers of their spiritual things, their duty is also to minister unto them in carnal things.(KJV-1611) Rom 15:27 Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.(Creole-HT) ======= Romans 15:28 ============ Rom 15:28 When therefore I have performed this, and have sealed to them this fruit, I will come by you into Spain.(KJV-1611) Rom 15:28 Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout.(Creole-HT) ======= Romans 15:29 ============ Rom 15:29 And I am sure that, when I come unto you, I shall come in the fulness of the blessing of the gospel of Christ.(KJV-1611) Rom 15:29 Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.(Creole-HT) ======= Romans 15:30 ============ Rom 15:30 Now I beseech you, brethren, for the Lord Jesus Christ's sake, and for the love of the Spirit, that ye strive together with me in your prayers to God for me;(KJV-1611) Rom 15:30 Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.(Creole-HT) ======= Romans 15:31 ============ Rom 15:31 That I may be delivered from them that do not believe in Judaea; and that my service which I have for Jerusalem may be accepted of the saints;(KJV-1611) Rom 15:31 Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a.(Creole-HT) ======= Romans 15:32 ============ Rom 15:32 That I may come unto you with joy by the will of God, and may with you be refreshed.(KJV-1611) Rom 15:32 Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Romans 15:33 ============ Rom 15:33 Now the God of peace be with you all. Amen.(KJV-1611) Rom 15:33 Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.(Creole-HT) ======= Romans 16:1 ============ Rom 16:1 I commend unto you Phebe our sister, which is a servant of the church which is at Cenchrea:(KJV-1611) Rom 16:1 Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a.(Creole-HT) ======= Romans 16:2 ============ Rom 16:2 That ye receive her in the Lord, as becometh saints, and that ye assist her in whatsoever business she hath need of you: for she hath been a succourer of many, and of myself also.(KJV-1611) Rom 16:2 Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou.(Creole-HT) ======= Romans 16:3 ============ Rom 16:3 Greet Priscilla and Aquila my helpers in Christ Jesus:(KJV-1611) Rom 16:3 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a.(Creole-HT) ======= Romans 16:4 ============ Rom 16:4 Who have for my life laid down their own necks: unto whom not only I give thanks, but also all the churches of the Gentiles.(KJV-1611) Rom 16:4 Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.(Creole-HT) ======= Romans 16:5 ============ Rom 16:5 Likewise greet the church that is in their house. Salute my well-beloved Epaenetus, who is the firstfruits of Achaia unto Christ.(KJV-1611) Rom 16:5 Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.(Creole-HT) ======= Romans 16:6 ============ Rom 16:6 Greet Mary, who bestowed much labour on us.(KJV-1611) Rom 16:6 Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:7 ============ Rom 16:7 Salute Andronicus and Junia, my kinsmen, and my fellow-prisoners, who are of note among the apostles, who also were in Christ before me.(KJV-1611) Rom 16:7 Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.(Creole-HT) ======= Romans 16:8 ============ Rom 16:8 Greet Amplias my beloved in the Lord.(KJV-1611) Rom 16:8 Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:9 ============ Rom 16:9 Salute Urbane, our helper in Christ, and Stachys my beloved.(KJV-1611) Rom 16:9 Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.(Creole-HT) ======= Romans 16:10 ============ Rom 16:10 Salute Apelles approved in Christ. Salute them which are of Aristobulus' household.(KJV-1611) Rom 16:10 Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:11 ============ Rom 16:11 Salute Herodion my kinsman. Greet them that be of the household of Narcissus, which are in the Lord.(KJV-1611) Rom 16:11 Di Ewòdyon, fanmi m' lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Seyè a bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:12 ============ Rom 16:12 Salute Tryphena and Tryphosa, who labour in the Lord. Salute the beloved Persis, which laboured much in the Lord.(KJV-1611) Rom 16:12 Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Seyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m' ki te pran anpil fatig pou Seyè a, bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:13 ============ Rom 16:13 Salute Rufus chosen in the Lord, and his mother and mine.(KJV-1611) Rom 16:13 Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l' ki yon manman pou mwen tou.(Creole-HT) ======= Romans 16:14 ============ Rom 16:14 Salute Asyncritus, Phlegon, Hermas, Patrobas, Hermes, and the brethren which are with them.(KJV-1611) Rom 16:14 Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:15 ============ Rom 16:15 Salute Philologus, and Julia, Nereus, and his sister, and Olympas, and all the saints which are with them.(KJV-1611) Rom 16:15 Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avek Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:16 ============ Rom 16:16 Salute one another with an holy kiss. The churches of Christ salute you.(KJV-1611) Rom 16:16 Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou.(Creole-HT) ======= Romans 16:17 ============ Rom 16:17 Now I beseech you, brethren, mark them which cause divisions and offences contrary to the doctrine which ye have learned; and avoid them.(KJV-1611) Rom 16:17 M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.(Creole-HT) ======= Romans 16:18 ============ Rom 16:18 For they that are such serve not our Lord Jesus Christ, but their own belly; and by good words and fair speeches deceive the hearts of the simple.(KJV-1611) Rom 16:18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.(Creole-HT) ======= Romans 16:19 ============ Rom 16:19 For your obedience is come abroad unto all men. I am glad therefore on your behalf: but yet I would have you wise unto that which is good, and simple concerning evil.(KJV-1611) Rom 16:19 Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Seyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Romans 16:20 ============ Rom 16:20 And the God of peace shall bruise Satan under your feet shortly. The grace of our Lord Jesus Christ be with you. Amen.(KJV-1611) Rom 16:20 Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.(Creole-HT) ======= Romans 16:21 ============ Rom 16:21 Timotheus my workfellow, and Lucius, and Jason, and Sosipater, my kinsmen, salute you.(KJV-1611) Rom 16:21 Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou.(Creole-HT) ======= Romans 16:22 ============ Rom 16:22 I Tertius, who wrote this epistle, salute you in the Lord.(KJV-1611) Rom 16:22 Mwen menm, Tèsiyis, ki kouche lèt sa a sou papye, mwen voye bonjou pou nou nan renmen Kris la.(Creole-HT) ======= Romans 16:23 ============ Rom 16:23 Gaius mine host, and of the whole church, saluteth you. Erastus the chamberlain of the city saluteth you, and Quartus a brother.(KJV-1611) Rom 16:23 Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou.(Creole-HT) ======= Romans 16:24 ============ Rom 16:24 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.(KJV-1611) Rom 16:24 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.(Creole-HT) ======= Romans 16:25 ============ Rom 16:25 Now to him that is of power to stablish you according to my gospel, and the preaching of Jesus Christ, according to the revelation of the mystery, which was kept secret since the world began,(KJV-1611) Rom 16:25 Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.(Creole-HT) ======= Romans 16:26 ============ Rom 16:26 But now is made manifest, and by the scriptures of the prophets, according to the commandment of the everlasting God, made known to all nations for the obedience of faith:(KJV-1611) Rom 16:26 Men, koulye a, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive an konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= Romans 16:27 ============ Rom 16:27 To God only wise, be glory through Jesus Christ for ever. Amen.(KJV-1611) Rom 16:27 Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:1 ============ 1Co 1:1 Paul called to be an apostle of Jesus Christ through the will of God, and Sosthenes our brother,(KJV-1611) 1Co 1:1 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi Jezikri apòt, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak Sostèn, frè nou,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:2 ============ 1Co 1:2 Unto the church of God which is at Corinth, to them that are sanctified in Christ Jesus, called to be saints, with all that in every place call upon the name of Jesus Christ our Lord, both their's and our's:(KJV-1611) 1Co 1:2 pou nou tout ki nan legliz Bondye a lavil Korent. Bondye te rele nou pou viv apa pou li, nou tout ki pou Bondye nan Jezikri, ansanm ak tout lòt moun toupatou k'ap rele non Jezikri, Seyè nou an. Paske Jezikri se Seyè yo menm jan li Seyè nou tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:3 ============ 1Co 1:3 Grace be unto you, and peace, from God our Father, and from the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 1Co 1:3 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:4 ============ 1Co 1:4 I thank my God always on your behalf, for the grace of God which is given you by Jesus Christ;(KJV-1611) 1Co 1:4 Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l' fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:5 ============ 1Co 1:5 That in every thing ye are enriched by him, in all utterance, and in all knowledge;(KJV-1611) 1Co 1:5 Pandan n'ap viv ansanm ak Kris la, Bondye fè nou rich nèt, li ban nou tout kalite kado: kado sa yo penmèt nou preche pawòl la tout jan epi yo ban nou anpil konesans.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:6 ============ 1Co 1:6 Even as the testimony of Christ was confirmed in you:(KJV-1611) 1Co 1:6 Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:7 ============ 1Co 1:7 So that ye come behind in no gift; waiting for the coming of our Lord Jesus Christ:(KJV-1611) 1Co 1:7 Se sak fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Seyè nou an, pral parèt la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:8 ============ 1Co 1:8 Who shall also confirm you unto the end, that ye may be blameless in the day of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 1Co 1:8 Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:9 ============ 1Co 1:9 God is faithful, by whom ye were called unto the fellowship of his Son Jesus Christ our Lord.(KJV-1611) 1Co 1:9 Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:10 ============ 1Co 1:10 Now I beseech you, brethren, by the name of our Lord Jesus Christ, that ye all speak the same thing, and that there be no divisions among you; but that ye be perfectly joined together in the same mind and in the same judgment.(KJV-1611) 1Co 1:10 Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:11 ============ 1Co 1:11 For it hath been declared unto me of you, my brethren, by them which are of the house of Chloe, that there are contentions among you.(KJV-1611) 1Co 1:11 Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:12 ============ 1Co 1:12 Now this I say, that every one of you saith, I am of Paul; and I of Apollos; and I of Cephas; and I of Christ.(KJV-1611) 1Co 1:12 Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:13 ============ 1Co 1:13 Is Christ divided? was Paul crucified for you? or were ye baptized in the name of Paul?(KJV-1611) 1Co 1:13 Nan kondisyon sa a, Kris la gen lè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:14 ============ 1Co 1:14 I thank God that I baptized none of you, but Crispus and Gaius;(KJV-1611) 1Co 1:14 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pa t' batize nou yonn, an wetan Krispis ak Gayis.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:15 ============ 1Co 1:15 Lest any should say that I had baptized in mine own name.(KJV-1611) 1Co 1:15 Konsa, pesonn pa ka di yo te batize nan non Pòl.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:16 ============ 1Co 1:16 And I baptized also the household of Stephanas: besides, I know not whether I baptized any other.(KJV-1611) 1Co 1:16 (Mwen t'ap bliye sa: mwen te batize Estefanas ak moun lakay li yo tou. Men, mwen pa chonje m' te batize pesonn lòt ankò.)(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:17 ============ 1Co 1:17 For Christ sent me not to baptize, but to preach the gospel: not with wisdom of words, lest the cross of Christ should be made of none effect.(KJV-1611) 1Co 1:17 Epitou, Kris la pa t' voye m' batize moun. Li te voye m' anonse Bon Nouvèl la, epi se pou m' anonse l' san m' pa bezwen sèvi ak bèl diskou bon konprann lèzòm, pou m' pa fè lanmò Kris la sou kwa a pase pou anyen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:18 ============ 1Co 1:18 For the preaching of the cross is to them that perish foolishness; but unto us which are saved it is the power of God.(KJV-1611) 1Co 1:18 Pawòl ki fè nou konnen jan Kris la mouri sou kwa a, se pawòl moun fou pou moun k'ap peri yo. Men, pou nou menm ki delivre yo se pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:19 ============ 1Co 1:19 For it is written, I will destroy the wisdom of the wise, and will bring to nothing the understanding of the prudent.(KJV-1611) 1Co 1:19 Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:20 ============ 1Co 1:20 Where is the wise? where is the scribe? where is the disputer of this world? hath not God made foolish the wisdom of this world?(KJV-1611) 1Co 1:20 Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:21 ============ 1Co 1:21 For after that in the wisdom of God the world by wisdom knew not God, it pleased God by the foolishness of preaching to save them that believe.(KJV-1611) 1Co 1:21 Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:22 ============ 1Co 1:22 For the Jews require a sign, and the Greeks seek after wisdom:(KJV-1611) 1Co 1:22 Yon bò, jwif yo ap mande mirak, yon lòt bò grèk yo ap chache bon konprann.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:23 ============ 1Co 1:23 But we preach Christ crucified, unto the Jews a stumblingblock, and unto the Greeks foolishness;(KJV-1611) 1Co 1:23 Men nou menm, n'ap fè konnen Kris yo te kloure sou kwa a. Pou jwif yo, sa se yon wòch k'ap fè yo bite. Pou moun ki pa jwif yo, sa se bagay moun fou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:24 ============ 1Co 1:24 But unto them which are called, both Jews and Greeks, Christ the power of God, and the wisdom of God.(KJV-1611) 1Co 1:24 Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif, kit yo pa jwif, n'ap fè konnen Kris la ki bon konprann Bondye a ak pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:25 ============ 1Co 1:25 Because the foolishness of God is wiser than men; and the weakness of God is stronger than men.(KJV-1611) 1Co 1:25 Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:26 ============ 1Co 1:26 For ye see your calling, brethren, how that not many wise men after the flesh, not many mighty, not many noble, are called:(KJV-1611) 1Co 1:26 Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:27 ============ 1Co 1:27 But God hath chosen the foolish things of the world to confound the wise; and God hath chosen the weak things of the world to confound the things which are mighty;(KJV-1611) 1Co 1:27 Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:28 ============ 1Co 1:28 And base things of the world, and things which are despised, hath God chosen, yea, and things which are not, to bring to nought things that are:(KJV-1611) 1Co 1:28 Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:29 ============ 1Co 1:29 That no flesh should glory in his presence.(KJV-1611) 1Co 1:29 Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:30 ============ 1Co 1:30 But of him are ye in Christ Jesus, who of God is made unto us wisdom, and righteousness, and sanctification, and redemption:(KJV-1611) 1Co 1:30 Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 1:31 ============ 1Co 1:31 That, according as it is written, He that glorieth, let him glory in the Lord.(KJV-1611) 1Co 1:31 Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:1 ============ 1Co 2:1 And I, brethren, when I came to you, came not with excellency of speech or of wisdom, declaring unto you the testimony of God.(KJV-1611) 1Co 2:1 Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:2 ============ 1Co 2:2 For I determined not to know any thing among you, save Jesus Christ, and him crucified.(KJV-1611) 1Co 2:2 Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:3 ============ 1Co 2:3 And I was with you in weakness, and in fear, and in much trembling.(KJV-1611) 1Co 2:3 Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:4 ============ 1Co 2:4 And my speech and my preaching was not with enticing words of man's wisdom, but in demonstration of the Spirit and of power:(KJV-1611) 1Co 2:4 Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:5 ============ 1Co 2:5 That your faith should not stand in the wisdom of men, but in the power of God.(KJV-1611) 1Co 2:5 Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:6 ============ 1Co 2:6 Howbeit we speak wisdom among them that are perfect: yet not the wisdom of this world, nor of the princes of this world, that come to nought:(KJV-1611) 1Co 2:6 Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:7 ============ 1Co 2:7 But we speak the wisdom of God in a mystery, even the hidden wisdom, which God ordained before the world unto our glory:(KJV-1611) 1Co 2:7 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:8 ============ 1Co 2:8 Which none of the princes of this world knew: for had they known it, they would not have crucified the Lord of glory.(KJV-1611) 1Co 2:8 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:9 ============ 1Co 2:9 But as it is written, Eye hath not seen, nor ear heard, neither have entered into the heart of man, the things which God hath prepared for them that love him.(KJV-1611) 1Co 2:9 Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:10 ============ 1Co 2:10 But God hath revealed them unto us by his Spirit: for the Spirit searcheth all things, yea, the deep things of God.(KJV-1611) 1Co 2:10 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:11 ============ 1Co 2:11 For what man knoweth the things of a man, save the spirit of man which is in him? even so the things of God knoweth no man, but the Spirit of God.(KJV-1611) 1Co 2:11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:12 ============ 1Co 2:12 Now we have received, not the spirit of the world, but the spirit which is of God; that we might know the things that are freely given to us of God.(KJV-1611) 1Co 2:12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:13 ============ 1Co 2:13 Which things also we speak, not in the words which man's wisdom teacheth, but which the Holy Ghost teacheth; comparing spiritual things with spiritual.(KJV-1611) 1Co 2:13 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:14 ============ 1Co 2:14 But the natural man receiveth not the things of the Spirit of God: for they are foolishness unto him: neither can he know them, because they are spiritually discerned.(KJV-1611) 1Co 2:14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:15 ============ 1Co 2:15 But he that is spiritual judgeth all things, yet he himself is judged of no man.(KJV-1611) 1Co 2:15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 2:16 ============ 1Co 2:16 For who hath known the mind of the Lord, that he may instruct him? But we have the mind of Christ.(KJV-1611) 1Co 2:16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:1 ============ 1Co 3:1 And I, brethren, could not speak unto you as unto spiritual, but as unto carnal, even as unto babes in Christ.(KJV-1611) 1Co 3:1 Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:2 ============ 1Co 3:2 I have fed you with milk, and not with meat: for hitherto ye were not able to bear it, neither yet now are ye able.(KJV-1611) 1Co 3:2 Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:3 ============ 1Co 3:3 For ye are yet carnal: for whereas there is among you envying, and strife, and divisions, are ye not carnal, and walk as men?(KJV-1611) 1Co 3:3 Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:4 ============ 1Co 3:4 For while one saith, I am of Paul; and another, I am of Apollos; are ye not carnal?(KJV-1611) 1Co 3:4 Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:5 ============ 1Co 3:5 Who then is Paul, and who is Apollos, but ministers by whom ye believed, even as the Lord gave to every man?(KJV-1611) 1Co 3:5 Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:6 ============ 1Co 3:6 I have planted, Apollos watered; but God gave the increase.(KJV-1611) 1Co 3:6 Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:7 ============ 1Co 3:7 So then neither is he that planteth any thing, neither he that watereth; but God that giveth the increase.(KJV-1611) 1Co 3:7 Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:8 ============ 1Co 3:8 Now he that planteth and he that watereth are one: and every man shall receive his own reward according to his own labour.(KJV-1611) 1Co 3:8 Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:9 ============ 1Co 3:9 For we are labourers together with God: ye are God's husbandry, ye are God's building.(KJV-1611) 1Co 3:9 Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:10 ============ 1Co 3:10 According to the grace of God which is given unto me, as a wise masterbuilder, I have laid the foundation, and another buildeth thereon. But let every man take heed how he buildeth thereupon.(KJV-1611) 1Co 3:10 Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:11 ============ 1Co 3:11 For other foundation can no man lay than that is laid, which is Jesus Christ.(KJV-1611) 1Co 3:11 Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:12 ============ 1Co 3:12 Now if any man build upon this foundation gold, silver, precious stones, wood, hay, stubble;(KJV-1611) 1Co 3:12 Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:13 ============ 1Co 3:13 Every man's work shall be made manifest: for the day shall declare it, because it shall be revealed by fire; and the fire shall try every man's work of what sort it is.(KJV-1611) 1Co 3:13 Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:14 ============ 1Co 3:14 If any man's work abide which he hath built thereupon, he shall receive a reward.(KJV-1611) 1Co 3:14 Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:15 ============ 1Co 3:15 If any man's work shall be burned, he shall suffer loss: but he himself shall be saved; yet so as by fire.(KJV-1611) 1Co 3:15 Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:16 ============ 1Co 3:16 Know ye not that ye are the temple of God, and that the Spirit of God dwelleth in you?(KJV-1611) 1Co 3:16 Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:17 ============ 1Co 3:17 If any man defile the temple of God, him shall God destroy; for the temple of God is holy, which temple ye are.(KJV-1611) 1Co 3:17 Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:18 ============ 1Co 3:18 Let no man deceive himself. If any man among you seemeth to be wise in this world, let him become a fool, that he may be wise.(KJV-1611) 1Co 3:18 Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:19 ============ 1Co 3:19 For the wisdom of this world is foolishness with God. For it is written, He taketh the wise in their own craftiness.(KJV-1611) 1Co 3:19 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:20 ============ 1Co 3:20 And again, The Lord knoweth the thoughts of the wise, that they are vain.(KJV-1611) 1Co 3:20 Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:21 ============ 1Co 3:21 Therefore let no man glory in men. For all things are your's;(KJV-1611) 1Co 3:21 Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:22 ============ 1Co 3:22 Whether Paul, or Apollos, or Cephas, or the world, or life, or death, or things present, or things to come; all are your's;(KJV-1611) 1Co 3:22 Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 3:23 ============ 1Co 3:23 And ye are Christ's; and Christ is God's.(KJV-1611) 1Co 3:23 Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:1 ============ 1Co 4:1 Let a man so account of us, as of the ministers of Christ, and stewards of the mysteries of God.(KJV-1611) 1Co 4:1 Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:2 ============ 1Co 4:2 Moreover it is required in stewards, that a man be found faithful.(KJV-1611) 1Co 4:2 Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:3 ============ 1Co 4:3 But with me it is a very small thing that I should be judged of you, or of man's judgment: yea, I judge not mine own self.(KJV-1611) 1Co 4:3 Pou mwen menm, nou te mèt jije m', lèzòm te mèt jije m' nan tribinal yo, sa pa di m' anyen. Mwen menm, poutèt pa m', mwen pa jije tèt mwen non plis.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:4 ============ 1Co 4:4 For I know nothing by myself; yet am I not hereby justified: but he that judgeth me is the Lord.(KJV-1611) 1Co 4:4 Konsyans mwen pa repwoche m' anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Seyè a ki sèl jij mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:5 ============ 1Co 4:5 Therefore judge nothing before the time, until the Lord come, who both will bring to light the hidden things of darkness, and will make manifest the counsels of the hearts: and then shall every man have praise of God.(KJV-1611) 1Co 4:5 Se poutèt sa, pa prese jije pesonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Seyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:6 ============ 1Co 4:6 And these things, brethren, I have in a figure transferred to myself and to Apollos for your sakes; that ye might learn in us not to think of men above that which is written, that no one of you be puffed up for one against another.(KJV-1611) 1Co 4:6 Frè m' yo, nan tout bagay sa yo, si m' pran egzanp sou mwen ak Apolòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n' ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pesonn pran pati pou yon moun kont yon lòt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:7 ============ 1Co 4:7 For who maketh thee to differ from another? and what hast thou that thou didst not receive? now if thou didst receive it, why dost thou glory, as if thou hadst not received it?(KJV-1611) 1Co 4:7 Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:8 ============ 1Co 4:8 Now ye are full, now ye are rich, ye have reigned as kings without us: and I would to God ye did reign, that we also might reign with you.(KJV-1611) 1Co 4:8 Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:9 ============ 1Co 4:9 For I think that God hath set forth us the apostles last, as it were appointed to death: for we are made a spectacle unto the world, and to angels, and to men.(KJV-1611) 1Co 4:9 Men, nou menm apòt Kris yo, gen lè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik; nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:10 ============ 1Co 4:10 We are fools for Christ's sake, but ye are wise in Christ; we are weak, but ye are strong; ye are honourable, but we are despised.(KJV-1611) 1Co 4:10 Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:11 ============ 1Co 4:11 Even unto this present hour we both hunger, and thirst, and are naked, and are buffeted, and have no certain dwellingplace;(KJV-1611) 1Co 4:11 Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:12 ============ 1Co 4:12 And labour, working with our own hands: being reviled, we bless; being persecuted, we suffer it:(KJV-1611) 1Co 4:12 N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:13 ============ 1Co 4:13 Being defamed, we intreat: we are made as the filth of the world, and are the offscouring of all things unto this day.(KJV-1611) 1Co 4:13 Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk koulye a, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:14 ============ 1Co 4:14 I write not these things to shame you, but as my beloved sons I warn you.(KJV-1611) 1Co 4:14 Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:15 ============ 1Co 4:15 For though ye have ten thousand instructers in Christ, yet have ye not many fathers: for in Christ Jesus I have begotten you through the gospel.(KJV-1611) 1Co 4:15 Menm si nou ta rive gen dimil moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:16 ============ 1Co 4:16 Wherefore I beseech you, be ye followers of me.(KJV-1611) 1Co 4:16 Tanpri, pran egzanp sou mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:17 ============ 1Co 4:17 For this cause have I sent unto you Timotheus, who is my beloved son, and faithful in the Lord, who shall bring you into remembrance of my ways which be in Christ, as I teach every where in every church.(KJV-1611) 1Co 4:17 Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Seyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. La fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:18 ============ 1Co 4:18 Now some are puffed up, as though I would not come to you.(KJV-1611) 1Co 4:18 Gen kèk moun nan mitan nou ki gen tan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:19 ============ 1Co 4:19 But I will come to you shortly, if the Lord will, and will know, not the speech of them which are puffed up, but the power.(KJV-1611) 1Co 4:19 Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:20 ============ 1Co 4:20 For the kingdom of God is not in word, but in power.(KJV-1611) 1Co 4:20 Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 4:21 ============ 1Co 4:21 What will ye? shall I come unto you with a rod, or in love, and in the spirit of meekness?(KJV-1611) 1Co 4:21 Kisa nou pito? Nou ta vle mwen vin ak yon baton pou nou, osinon avèk renmen, avèk dousè nan kè mwen pou nou? Libètinaj nan legliz la(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:1 ============ 1Co 5:1 It is reported commonly that there is fornication among you, and such fornication as is not so much as named among the Gentiles, that one should have his father's wife.(KJV-1611) 1Co 5:1 Toupatou y'ap fè kouri bri jan gen dezòd lachè k'ap fèt nan mitan nou. Dezòd la sitèlman wòd, ata moun lòt nasyon yo pa ta fè bagay konsa. Y'ap mache di gen yonn nan nou k'ap viv ak madanm papa li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:2 ============ 1Co 5:2 And ye are puffed up, and have not rather mourned, that he that hath done this deed might be taken away from among you.(KJV-1611) 1Co 5:2 Apre sa, ki jan nou ka fè gen lògèy ankò? Okontrè, se bagay ki pou ta fè nou kriye anpil. Epi, nonm ki fè bagay sa a, se pou n' te wete l' nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:3 ============ 1Co 5:3 For I verily, as absent in body, but present in spirit, have judged already, as though I were present, concerning him that hath so done this deed,(KJV-1611) 1Co 5:3 Mwen menm, mwen pa la avèk nou nan kò m', men mwen la nan lespri m'. Pou tèt pa m', nan non Jezikri, Seyè a, mwen deja jije nonm ki fè kalite vye bagay lèd sa a, tankou si m' te la avèk nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:4 ============ 1Co 5:4 In the name of our Lord Jesus Christ, when ye are gathered together, and my spirit, with the power of our Lord Jesus Christ,(KJV-1611) 1Co 5:4 Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:5 ============ 1Co 5:5 To deliver such an one unto Satan for the destruction of the flesh, that the spirit may be saved in the day of the Lord Jesus.(KJV-1611) 1Co 5:5 Se pou n' lage nonm sa a nan men Satan pou kò l' ka peri. Se konsa lespri l' ka jwenn delivrans lè jou Seyè a va rive.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:6 ============ 1Co 5:6 Your glorying is not good. Know ye not that a little leaven leaveneth the whole lump?(KJV-1611) 1Co 5:6 Nanpwen anyen la a pou n'ap fè grandizè! Nou konn pawòl la ki di: Se yon ti kras ledven ki fè tout pa t' la leve.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:7 ============ 1Co 5:7 Purge out therefore the old leaven, that ye may be a new lump, as ye are unleavened. For even Christ our passover is sacrificed for us:(KJV-1611) 1Co 5:7 Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:8 ============ 1Co 5:8 Therefore let us keep the feast, not with old leaven, neither with the leaven of malice and wickedness; but with the unleavened bread of sincerity and truth.(KJV-1611) 1Co 5:8 Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:9 ============ 1Co 5:9 I wrote unto you in an epistle not to company with fornicators:(KJV-1611) 1Co 5:9 Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:10 ============ 1Co 5:10 Yet not altogether with the fornicators of this world, or with the covetous, or extortioners, or with idolaters; for then must ye needs go out of the world.(KJV-1611) 1Co 5:10 Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:11 ============ 1Co 5:11 But now I have written unto you not to keep company, if any man that is called a brother be a fornicator, or covetous, or an idolater, or a railer, or a drunkard, or an extortioner; with such an one no not to eat.(KJV-1611) 1Co 5:11 Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:12 ============ 1Co 5:12 For what have I to do to judge them also that are without? do not ye judge them that are within?(KJV-1611) 1Co 5:12 Zafè moun deyò pa gade m', mwen pa gen dwa jije yo. Se Bondye ki va jije yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 5:13 ============ 1Co 5:13 But them that are without God judgeth. Therefore put away from among yourselves that wicked person.(KJV-1611) 1Co 5:13 Men, èske se pa devwa nou pou n' jije moun ki anndan yo, moun ki ansanm avè n' yo? Tankou yo di l' nan Liv la: Wete mechan an nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:1 ============ 1Co 6:1 Dare any of you, having a matter against another, go to law before the unjust, and not before the saints?(KJV-1611) 1Co 6:1 Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:2 ============ 1Co 6:2 Do ye not know that the saints shall judge the world? and if the world shall be judged by you, are ye unworthy to judge the smallest matters?(KJV-1611) 1Co 6:2 Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:3 ============ 1Co 6:3 Know ye not that we shall judge angels? how much more things that pertain to this life?(KJV-1611) 1Co 6:3 Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:4 ============ 1Co 6:4 If then ye have judgments of things pertaining to this life, set them to judge who are least esteemed in the church.(KJV-1611) 1Co 6:4 Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:5 ============ 1Co 6:5 I speak to your shame. Is it so, that there is not a wise man among you? no, not one that shall be able to judge between his brethren?(KJV-1611) 1Co 6:5 Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:6 ============ 1Co 6:6 But brother goeth to law with brother, and that before the unbelievers.(KJV-1611) 1Co 6:6 kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:7 ============ 1Co 6:7 Now therefore there is utterly a fault among you, because ye go to law one with another. Why do ye not rather take wrong? why do ye not rather suffer yourselves to be defrauded?(KJV-1611) 1Co 6:7 Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:8 ============ 1Co 6:8 Nay, ye do wrong, and defraud, and that your brethren.(KJV-1611) 1Co 6:8 Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:9 ============ 1Co 6:9 Know ye not that the unrighteous shall not inherit the kingdom of God? Be not deceived: neither fornicators, nor idolaters, nor adulterers, nor effeminate, nor abusers of themselves with mankind,(KJV-1611) 1Co 6:9 Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:10 ============ 1Co 6:10 Nor thieves, nor covetous, nor drunkards, nor revilers, nor extortioners, shall inherit the kingdom of God.(KJV-1611) 1Co 6:10 moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:11 ============ 1Co 6:11 And such were some of you: but ye are washed, but ye are sanctified, but ye are justified in the name of the Lord Jesus, and by the Spirit of our God.(KJV-1611) 1Co 6:11 Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, koulye a Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l'. Gremesi Jezikri, Seyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:12 ============ 1Co 6:12 All things are lawful unto me, but all things are not expedient: all things are lawful for me, but I will not be brought under the power of any.(KJV-1611) 1Co 6:12 Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:13 ============ 1Co 6:13 Meats for the belly, and the belly for meats: but God shall destroy both it and them. Now the body is not for fornication, but for the Lord; and the Lord for the body.(KJV-1611) 1Co 6:13 Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:14 ============ 1Co 6:14 And God hath both raised up the Lord, and will also raise up us by his own power.(KJV-1611) 1Co 6:14 Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:15 ============ 1Co 6:15 Know ye not that your bodies are the members of Christ? shall I then take the members of Christ, and make them the members of an harlot? God forbid.(KJV-1611) 1Co 6:15 Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:16 ============ 1Co 6:16 What? know ye not that he which is joined to an harlot is one body? for two, saith he, shall be one flesh.(KJV-1611) 1Co 6:16 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:17 ============ 1Co 6:17 But he that is joined unto the Lord is one spirit.(KJV-1611) 1Co 6:17 Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:18 ============ 1Co 6:18 Flee fornication. Every sin that a man doeth is without the body; but he that committeth fornication sinneth against his own body.(KJV-1611) 1Co 6:18 Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:19 ============ 1Co 6:19 What? know ye not that your body is the temple of the Holy Ghost which is in you, which ye have of God, and ye are not your own?(KJV-1611) 1Co 6:19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 6:20 ============ 1Co 6:20 For ye are bought with a price: therefore glorify God in your body, and in your spirit, which are God's.(KJV-1611) 1Co 6:20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:1 ============ 1Co 7:1 Now concerning the things whereof ye wrote unto me: It is good for a man not to touch a woman.(KJV-1611) 1Co 7:1 Bon. Koulye a ann wè keksyon nou te mande m' nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l' pa marye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:2 ============ 1Co 7:2 Nevertheless, to avoid fornication, let every man have his own wife, and let every woman have her own husband.(KJV-1611) 1Co 7:2 Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:3 ============ 1Co 7:3 Let the husband render unto the wife due benevolence: and likewise also the wife unto the husband.(KJV-1611) 1Co 7:3 Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:4 ============ 1Co 7:4 The wife hath not power of her own body, but the husband: and likewise also the husband hath not power of his own body, but the wife.(KJV-1611) 1Co 7:4 Madanm lan pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l' vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:5 ============ 1Co 7:5 Defraud ye not one the other, except it be with consent for a time, that ye may give yourselves to fasting and prayer; and come together again, that Satan tempt you not for your incontinency.(KJV-1611) 1Co 7:5 Piga yonn repouse lòt, esepte si nou te antann nou sou sa pou yon moman pou nou ka lapriyè. Men apre sa, tounen tounen nou ansanm pou n' viv tankou mari ak madanm. Si nou pa fè l' konsa, nou riske pa ka kontwole kò nou ankò. Lè sa a, n'a ka tonbe pi fasil nan pèlen Satan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:6 ============ 1Co 7:6 But I speak this by permission, and not of commandment.(KJV-1611) 1Co 7:6 Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:7 ============ 1Co 7:7 For I would that all men were even as I myself. But every man hath his proper gift of God, one after this manner, and another after that.(KJV-1611) 1Co 7:7 Pou di vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:8 ============ 1Co 7:8 I say therefore to the unmarried and widows, It is good for them if they abide even as I.(KJV-1611) 1Co 7:8 Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m', pou kont yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:9 ============ 1Co 7:9 But if they cannot contain, let them marry: for it is better to marry than to burn.(KJV-1611) 1Co 7:9 Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n' kite lanvi boule nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:10 ============ 1Co 7:10 And unto the married I command, yet not I, but the Lord, Let not the wife depart from her husband:(KJV-1611) 1Co 7:10 Kanta pou moun marye yo, men lòd mwen ba yo (Sa pa soti nan mwen non, men nan Seyè a menm): Lè yon fanm marye, li pa dwe kite ak mari li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:11 ============ 1Co 7:11 But and if she depart, let her remain unmarried or be reconciled to her husband: and let not the husband put away his wife.(KJV-1611) 1Co 7:11 Si li rive kite avè l', se pou l' rete pou kont li, san l' pa remarye. Pase pou l' ta remarye, pito li tounen ak mari l' ankò. Konsa tou, yon mari pa dwe mete madanm li deyò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:12 ============ 1Co 7:12 But to the rest speak I, not the Lord: If any brother hath a wife that believeth not, and she be pleased to dwell with him, let him not put her away.(KJV-1611) 1Co 7:12 Pou lòt yo menm, men sa m'ap di: (Fwa sa a, sa se konsèy pa mwen. Sa pa soti nan Seyè a.) Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l' kontinye viv avè l', mari a pa gen dwa mete l' deyò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:13 ============ 1Co 7:13 And the woman which hath an husband that believeth not, and if he be pleased to dwell with her, let her not leave him.(KJV-1611) 1Co 7:13 Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l' kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:14 ============ 1Co 7:14 For the unbelieving husband is sanctified by the wife, and the unbelieving wife is sanctified by the husband: else were your children unclean; but now are they holy.(KJV-1611) 1Co 7:14 Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:15 ============ 1Co 7:15 But if the unbelieving depart, let him depart. A brother or a sister is not under bondage in such cases: but God hath called us to peace.(KJV-1611) 1Co 7:15 Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:16 ============ 1Co 7:16 For what knowest thou, O wife, whether thou shalt save thy husband? or how knowest thou, O man, whether thou shalt save thy wife?(KJV-1611) 1Co 7:16 Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:17 ============ 1Co 7:17 But as God hath distributed to every man, as the Lord hath called every one, so let him walk. And so ordain I in all churches.(KJV-1611) 1Co 7:17 Esepte nan ka sa a, se pou chak moun kontinye viv dapre kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:18 ============ 1Co 7:18 Is any man called being circumcised? let him not become uncircumcised. Is any called in uncircumcision? let him not be circumcised.(KJV-1611) 1Co 7:18 Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pa t' sikonsi lè Bondye te rele l' la, li pa bezwen fè yo sikonsi li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:19 ============ 1Co 7:19 Circumcision is nothing, and uncircumcision is nothing, but the keeping of the commandments of God.(KJV-1611) 1Co 7:19 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:20 ============ 1Co 7:20 Let every man abide in the same calling wherein he was called.(KJV-1611) 1Co 7:20 Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:21 ============ 1Co 7:21 Art thou called being a servant? care not for it: but if thou mayest be made free, use it rather.(KJV-1611) 1Co 7:21 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa chaje tèt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:22 ============ 1Co 7:22 For he that is called in the Lord, being a servant, is the Lord's freeman: likewise also he that is called, being free, is Christ's servant.(KJV-1611) 1Co 7:22 Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l', se yon moun lib sou kont Seyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l', se esklav Kris la li ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:23 ============ 1Co 7:23 Ye are bought with a price; be not ye the servants of men.(KJV-1611) 1Co 7:23 Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:24 ============ 1Co 7:24 Brethren, let every man, wherein he is called, therein abide with God.(KJV-1611) 1Co 7:24 Frè m' yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:25 ============ 1Co 7:25 Now concerning virgins I have no commandment of the Lord: yet I give my judgment, as one that hath obtained mercy of the Lord to be faithful.(KJV-1611) 1Co 7:25 Kanta pou moun ki pa marye yo, Seyè a pa ban m' ankenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m', epi nou te mèt fè m' konfyans akòz favè Bondye fè m' nan kè sansib li gen pou mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:26 ============ 1Co 7:26 I suppose therefore that this is good for the present distress, I say, that it is good for a man so to be.(KJV-1611) 1Co 7:26 Jan tan an difisil koulye a, men lide m' fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l' ye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:27 ============ 1Co 7:27 Art thou bound unto a wife? seek not to be loosed. Art thou loosed from a wife? seek not a wife.(KJV-1611) 1Co 7:27 Si l' gen tan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l' poko marye, li pa bezwen chache yon madanm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:28 ============ 1Co 7:28 But and if thou marry, thou hast not sinned; and if a virgin marry, she hath not sinned. Nevertheless such shall have trouble in the flesh: but I spare you.(KJV-1611) 1Co 7:28 Si l' ta vle marye tou, li mèt; li p'ap fè ankenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:29 ============ 1Co 7:29 But this I say, brethren, the time is short: it remaineth, that both they that have wives be as though they had none;(KJV-1611) 1Co 7:29 Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:30 ============ 1Co 7:30 And they that weep, as though they wept not; and they that rejoice, as though they rejoiced not; and they that buy, as though they possessed not;(KJV-1611) 1Co 7:30 Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:31 ============ 1Co 7:31 And they that use this world, as not abusing it: for the fashion of this world passeth away.(KJV-1611) 1Co 7:31 Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye koulye a nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:32 ============ 1Co 7:32 But I would have you without carefulness. He that is unmarried careth for the things that belong to the Lord, how he may please the Lord:(KJV-1611) 1Co 7:32 Mwen pa ta renmen wè nou gen ankenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Seyè a sèlman. L'ap chache fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:33 ============ 1Co 7:33 But he that is married careth for the things that are of the world, how he may please his wife.(KJV-1611) 1Co 7:33 Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:34 ============ 1Co 7:34 There is difference also between a wife and a virgin. The unmarried woman careth for the things of the Lord, that she may be holy both in body and in spirit: but she that is married careth for the things of the world, how she may please her husband.(KJV-1611) 1Co 7:34 Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, sè zafè Seyè a sèlman y'ap okipe, paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men, sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:35 ============ 1Co 7:35 And this I speak for your own profit; not that I may cast a snare upon you, but for that which is comely, and that ye may attend upon the Lord without distraction.(KJV-1611) 1Co 7:35 Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pesonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l' pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m' ap sèvi Seyè a san dezanpare.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:36 ============ 1Co 7:36 But if any man think that he behaveth himself uncomely toward his virgin, if she pass the flower of her age, and need so require, let him do what he will, he sinneth not: let them marry.(KJV-1611) 1Co 7:36 Ann wè koulye a keksyon de fiyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l' te dwe ak jenn fi a, si l' pa ka kontwole lanvi l' ankò, si l' wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l' vle l' la. Li pa fè ankenn peche pou sa.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:37 ============ 1Co 7:37 Nevertheless he that standeth stedfast in his heart, having no necessity, but hath power over his own will, and hath so decreed in his heart that he will keep his virgin, doeth well.(KJV-1611) 1Co 7:37 Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l' pa marye, si l' kapab kontwole volonte l', si li deside nan tèt li se sa pou l' fè, enben, li fè byen si l' pa marye ak jenn fi a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:38 ============ 1Co 7:38 So then he that giveth her in marriage doeth well; but he that giveth her not in marriage doeth better.(KJV-1611) 1Co 7:38 Konsa, jenn gason ki marye ak fiyanse l' la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:39 ============ 1Co 7:39 The wife is bound by the law as long as her husband liveth; but if her husband be dead, she is at liberty to be married to whom she will; only in the Lord.(KJV-1611) 1Co 7:39 Yon fanm marye gen angajman ak mari l' toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 7:40 ============ 1Co 7:40 But she is happier if she so abide, after my judgment: and I think also that I have the Spirit of God.(KJV-1611) 1Co 7:40 Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:1 ============ 1Co 8:1 Now as touching things offered unto idols, we know that we all have knowledge. Knowledge puffeth up, but charity edifieth.(KJV-1611) 1Co 8:1 Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:2 ============ 1Co 8:2 And if any man think that he knoweth any thing, he knoweth nothing yet as he ought to know.(KJV-1611) 1Co 8:2 Moun ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l' dwe konnen an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:3 ============ 1Co 8:3 But if any man love God, the same is known of him.(KJV-1611) 1Co 8:3 Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:4 ============ 1Co 8:4 As concerning therefore the eating of those things that are offered in sacrifice unto idols, we know that an idol is nothing in the world, and that there is none other God but one.(KJV-1611) 1Co 8:4 Bon, men keksyon an: èske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:5 ============ 1Co 8:5 For though there be that are called gods, whether in heaven or in earth, (as there be gods many, and lords many,)(KJV-1611) 1Co 8:5 Nou te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre),(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:6 ============ 1Co 8:6 But to us there is but one God, the Father, of whom are all things, and we in him; and one Lord Jesus Christ, by whom are all things, and we by him.(KJV-1611) 1Co 8:6 pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:7 ============ 1Co 8:7 Howbeit there is not in every man that knowledge: for some with conscience of the idol unto this hour eat it as a thing offered unto an idol; and their conscience being weak is defiled.(KJV-1611) 1Co 8:7 Men, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk koulye a, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:8 ============ 1Co 8:8 But meat commendeth us not to God: for neither, if we eat, are we the better; neither, if we eat not, are we the worse.(KJV-1611) 1Co 8:8 Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:9 ============ 1Co 8:9 But take heed lest by any means this liberty of your's become a stumblingblock to them that are weak.(KJV-1611) 1Co 8:9 Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:10 ============ 1Co 8:10 For if any man see thee which hast knowledge sit at meat in the idol's temple, shall not the conscience of him which is weak be emboldened to eat those things which are offered to idols;(KJV-1611) 1Co 8:10 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:11 ============ 1Co 8:11 And through thy knowledge shall the weak brother perish, for whom Christ died?(KJV-1611) 1Co 8:11 Nonm sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l' tou, men li va peri akòz konesans ou a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:12 ============ 1Co 8:12 But when ye sin so against the brethren, and wound their weak conscience, ye sin against Christ.(KJV-1611) 1Co 8:12 Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 8:13 ============ 1Co 8:13 Wherefore, if meat make my brother to offend, I will eat no flesh while the world standeth, lest I make my brother to offend.(KJV-1611) 1Co 8:13 Pase pou yon manje fè frè m' tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m' pa fè frè m' tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:1 ============ 1Co 9:1 Am I not an apostle? am I not free? have I not seen Jesus Christ our Lord? are not ye my work in the Lord?(KJV-1611) 1Co 9:1 Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:2 ============ 1Co 9:2 If I be not an apostle unto others, yet doubtless I am to you: for the seal of mine apostleship are ye in the Lord.(KJV-1611) 1Co 9:2 Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:3 ============ 1Co 9:3 Mine answer to them that do examine me is this,(KJV-1611) 1Co 9:3 Lè moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tèt mwen:(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:4 ============ 1Co 9:4 Have we not power to eat and to drink?(KJV-1611) 1Co 9:4 Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwè pou travay mwen?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:5 ============ 1Co 9:5 Have we not power to lead about a sister, a wife, as well as other apostles, and as the brethren of the Lord, and Cephas?(KJV-1611) 1Co 9:5 Eske m' pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m' prale?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:6 ============ 1Co 9:6 Or I only and Barnabas, have not we power to forbear working?(KJV-1611) 1Co 9:6 Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:7 ============ 1Co 9:7 Who goeth a warfare any time at his own charges? who planteth a vineyard, and eateth not of the fruit thereof? or who feedeth a flock, and eateth not of the milk of the flock?(KJV-1611) 1Co 9:7 Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:8 ============ 1Co 9:8 Say I these things as a man? or saith not the law the same also?(KJV-1611) 1Co 9:8 Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:9 ============ 1Co 9:9 For it is written in the law of Moses, Thou shalt not muzzle the mouth of the ox that treadeth out the corn. Doth God take care for oxen?(KJV-1611) 1Co 9:9 Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:10 ============ 1Co 9:10 Or saith he it altogether for our sakes? For our sakes, no doubt, this is written: that he that ploweth should plow in hope; and that he that thresheth in hope should be partaker of his hope.(KJV-1611) 1Co 9:10 Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:11 ============ 1Co 9:11 If we have sown unto you spiritual things, is it a great thing if we shall reap your carnal things?(KJV-1611) 1Co 9:11 Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:12 ============ 1Co 9:12 If others be partakers of this power over you, are not we rather? Nevertheless we have not used this power; but suffer all things, lest we should hinder the gospel of Christ.(KJV-1611) 1Co 9:12 Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:13 ============ 1Co 9:13 Do ye not know that they which minister about holy things live of the things of the temple? and they which wait at the altar are partakers with the altar?(KJV-1611) 1Co 9:13 Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:14 ============ 1Co 9:14 Even so hath the Lord ordained that they which preach the gospel should live of the gospel.(KJV-1611) 1Co 9:14 Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:15 ============ 1Co 9:15 But I have used none of these things: neither have I written these things, that it should be so done unto me: for it were better for me to die, than that any man should make my glorying void.(KJV-1611) 1Co 9:15 Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:16 ============ 1Co 9:16 For though I preach the gospel, I have nothing to glory of: for necessity is laid upon me; yea, woe is unto me, if I preach not the gospel!(KJV-1611) 1Co 9:16 Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:17 ============ 1Co 9:17 For if I do this thing willingly, I have a reward: but if against my will, a dispensation of the gospel is committed unto me.(KJV-1611) 1Co 9:17 Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:18 ============ 1Co 9:18 What is my reward then? Verily that, when I preach the gospel, I may make the gospel of Christ without charge, that I abuse not my power in the gospel.(KJV-1611) 1Co 9:18 Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:19 ============ 1Co 9:19 For though I be free from all men, yet have I made myself servant unto all, that I might gain the more.(KJV-1611) 1Co 9:19 Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:20 ============ 1Co 9:20 And unto the Jews I became as a Jew, that I might gain the Jews; to them that are under the law, as under the law, that I might gain them that are under the law;(KJV-1611) 1Co 9:20 Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:21 ============ 1Co 9:21 To them that are without law, as without law, (being not without law to God, but under the law to Christ,) that I might gain them that are without law.(KJV-1611) 1Co 9:21 Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:22 ============ 1Co 9:22 To the weak became I as weak, that I might gain the weak: I am made all things to all men, that I might by all means save some.(KJV-1611) 1Co 9:22 Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:23 ============ 1Co 9:23 And this I do for the gospel's sake, that I might be partaker thereof with you.(KJV-1611) 1Co 9:23 Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:24 ============ 1Co 9:24 Know ye not that they which run in a race run all, but one receiveth the prize? So run, that ye may obtain.(KJV-1611) 1Co 9:24 Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:25 ============ 1Co 9:25 And every man that striveth for the mastery is temperate in all things. Now they do it to obtain a corruptible crown; but we an incorruptible.(KJV-1611) 1Co 9:25 Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:26 ============ 1Co 9:26 I therefore so run, not as uncertainly; so fight I, not as one that beateth the air:(KJV-1611) 1Co 9:26 Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 9:27 ============ 1Co 9:27 But I keep under my body, and bring it into subjection: lest that by any means, when I have preached to others, I myself should be a castaway.(KJV-1611) 1Co 9:27 Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:1 ============ 1Co 10:1 Moreover, brethren, I would not that ye should be ignorant, how that all our fathers were under the cloud, and all passed through the sea;(KJV-1611) 1Co 10:1 Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:2 ============ 1Co 10:2 And were all baptized unto Moses in the cloud and in the sea;(KJV-1611) 1Co 10:2 Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:3 ============ 1Co 10:3 And did all eat the same spiritual meat;(KJV-1611) 1Co 10:3 Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:4 ============ 1Co 10:4 And did all drink the same spiritual drink: for they drank of that spiritual Rock that followed them: and that Rock was Christ.(KJV-1611) 1Co 10:4 Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:5 ============ 1Co 10:5 But with many of them God was not well pleased: for they were overthrown in the wilderness.(KJV-1611) 1Co 10:5 Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:6 ============ 1Co 10:6 Now these things were our examples, to the intent we should not lust after evil things, as they also lusted.(KJV-1611) 1Co 10:6 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:7 ============ 1Co 10:7 Neither be ye idolaters, as were some of them; as it is written, The people sat down to eat and drink, and rose up to play.(KJV-1611) 1Co 10:7 Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:8 ============ 1Co 10:8 Neither let us commit fornication, as some of them committed, and fell in one day three and twenty thousand.(KJV-1611) 1Co 10:8 Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil tonbe, yo mouri yon sèl jou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:9 ============ 1Co 10:9 Neither let us tempt Christ, as some of them also tempted, and were destroyed of serpents.(KJV-1611) 1Co 10:9 Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:10 ============ 1Co 10:10 Neither murmur ye, as some of them also murmured, and were destroyed of the destroyer.(KJV-1611) 1Co 10:10 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:11 ============ 1Co 10:11 Now all these things happened unto them for ensamples: and they are written for our admonition, upon whom the ends of the world are come.(KJV-1611) 1Co 10:11 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:12 ============ 1Co 10:12 Wherefore let him that thinketh he standeth take heed lest he fall.(KJV-1611) 1Co 10:12 Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:13 ============ 1Co 10:13 There hath no temptation taken you but such as is common to man: but God is faithful, who will not suffer you to be tempted above that ye are able; but will with the temptation also make a way to escape, that ye may be able to bear it.(KJV-1611) 1Co 10:13 Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:14 ============ 1Co 10:14 Wherefore, my dearly beloved, flee from idolatry.(KJV-1611) 1Co 10:14 Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:15 ============ 1Co 10:15 I speak as to wise men; judge ye what I say.(KJV-1611) 1Co 10:15 M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:16 ============ 1Co 10:16 The cup of blessing which we bless, is it not the communion of the blood of Christ? The bread which we break, is it not the communion of the body of Christ?(KJV-1611) 1Co 10:16 Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:17 ============ 1Co 10:17 For we being many are one bread, and one body: for we are all partakers of that one bread.(KJV-1611) 1Co 10:17 Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:18 ============ 1Co 10:18 Behold Israel after the flesh: are not they which eat of the sacrifices partakers of the altar?(KJV-1611) 1Co 10:18 Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:19 ============ 1Co 10:19 What say I then? that the idol is any thing, or that which is offered in sacrifice to idols is any thing?(KJV-1611) 1Co 10:19 Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:20 ============ 1Co 10:20 But I say, that the things which the Gentiles sacrifice, they sacrifice to devils, and not to God: and I would not that ye should have fellowship with devils.(KJV-1611) 1Co 10:20 Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:21 ============ 1Co 10:21 Ye cannot drink the cup of the Lord, and the cup of devils: ye cannot be partakers of the Lord's table, and of the table of devils.(KJV-1611) 1Co 10:21 Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:22 ============ 1Co 10:22 Do we provoke the Lord to jealousy? are we stronger than he?(KJV-1611) 1Co 10:22 Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:23 ============ 1Co 10:23 All things are lawful for me, but all things are not expedient: all things are lawful for me, but all things edify not.(KJV-1611) 1Co 10:23 Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:24 ============ 1Co 10:24 Let no man seek his own, but every man another's wealth.(KJV-1611) 1Co 10:24 Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:25 ============ 1Co 10:25 Whatsoever is sold in the shambles, that eat, asking no question for conscience sake:(KJV-1611) 1Co 10:25 Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:26 ============ 1Co 10:26 For the earth is the Lord's, and the fulness thereof.(KJV-1611) 1Co 10:26 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:27 ============ 1Co 10:27 If any of them that believe not bid you to a feast, and ye be disposed to go; whatsoever is set before you, eat, asking no question for conscience sake.(KJV-1611) 1Co 10:27 Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:28 ============ 1Co 10:28 But if any man say unto you, This is offered in sacrifice unto idols, eat not for his sake that shewed it, and for conscience sake: for the earth is the Lord's, and the fulness thereof:(KJV-1611) 1Co 10:28 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:29 ============ 1Co 10:29 Conscience, I say, not thine own, but of the other: for why is my liberty judged of another man's conscience?(KJV-1611) 1Co 10:29 Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:30 ============ 1Co 10:30 For if I by grace be a partaker, why am I evil spoken of for that for which I give thanks?(KJV-1611) 1Co 10:30 Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:31 ============ 1Co 10:31 Whether therefore ye eat, or drink, or whatsoever ye do, do all to the glory of God.(KJV-1611) 1Co 10:31 Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:32 ============ 1Co 10:32 Give none offence, neither to the Jews, nor to the Gentiles, nor to the church of God:(KJV-1611) 1Co 10:32 Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 10:33 ============ 1Co 10:33 Even as I please all men in all things, not seeking mine own profit, but the profit of many, that they may be saved.(KJV-1611) 1Co 10:33 Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:1 ============ 1Co 11:1 Be ye followers of me, even as I also am of Christ.(KJV-1611) 1Co 11:1 Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:2 ============ 1Co 11:2 Now I praise you, brethren, that ye remember me in all things, and keep the ordinances, as I delivered them to you.(KJV-1611) 1Co 11:2 Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:3 ============ 1Co 11:3 But I would have you know, that the head of every man is Christ; and the head of the woman is the man; and the head of Christ is God.(KJV-1611) 1Co 11:3 Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:4 ============ 1Co 11:4 Every man praying or prophesying, having his head covered, dishonoureth his head.(KJV-1611) 1Co 11:4 Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:5 ============ 1Co 11:5 But every woman that prayeth or prophesieth with her head uncovered dishonoureth her head: for that is even all one as if she were shaven.(KJV-1611) 1Co 11:5 Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:6 ============ 1Co 11:6 For if the woman be not covered, let her also be shorn: but if it be a shame for a woman to be shorn or shaven, let her be covered.(KJV-1611) 1Co 11:6 Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:7 ============ 1Co 11:7 For a man indeed ought not to cover his head, forasmuch as he is the image and glory of God: but the woman is the glory of the man.(KJV-1611) 1Co 11:7 Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:8 ============ 1Co 11:8 For the man is not of the woman: but the woman of the man.(KJV-1611) 1Co 11:8 Paske, se pa t' avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:9 ============ 1Co 11:9 Neither was the man created for the woman; but the woman for the man.(KJV-1611) 1Co 11:9 Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:10 ============ 1Co 11:10 For this cause ought the woman to have power on her head because of the angels.(KJV-1611) 1Co 11:10 Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:11 ============ 1Co 11:11 Nevertheless neither is the man without the woman, neither the woman without the man, in the Lord.(KJV-1611) 1Co 11:11 Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:12 ============ 1Co 11:12 For as the woman is of the man, even so is the man also by the woman; but all things of God.(KJV-1611) 1Co 11:12 Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:13 ============ 1Co 11:13 Judge in yourselves: is it comely that a woman pray unto God uncovered?(KJV-1611) 1Co 11:13 Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:14 ============ 1Co 11:14 Doth not even nature itself teach you, that, if a man have long hair, it is a shame unto him?(KJV-1611) 1Co 11:14 Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:15 ============ 1Co 11:15 But if a woman have long hair, it is a glory to her: for her hair is given her for a covering.(KJV-1611) 1Co 11:15 Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:16 ============ 1Co 11:16 But if any man seem to be contentious, we have no such custom, neither the churches of God.(KJV-1611) 1Co 11:16 Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m' di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:17 ============ 1Co 11:17 Now in this that I declare unto you I praise you not, that ye come together not for the better, but for the worse.(KJV-1611) 1Co 11:17 Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:18 ============ 1Co 11:18 For first of all, when ye come together in the church, I hear that there be divisions among you; and I partly believe it.(KJV-1611) 1Co 11:18 Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:19 ============ 1Co 11:19 For there must be also heresies among you, that they which are approved may be made manifest among you.(KJV-1611) 1Co 11:19 (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:20 ============ 1Co 11:20 When ye come together therefore into one place, this is not to eat the Lord's supper.(KJV-1611) 1Co 11:20 Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:21 ============ 1Co 11:21 For in eating every one taketh before other his own supper: and one is hungry, and another is drunken.(KJV-1611) 1Co 11:21 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:22 ============ 1Co 11:22 What? have ye not houses to eat and to drink in? or despise ye the church of God, and shame them that have not? What shall I say to you? shall I praise you in this? I praise you not.(KJV-1611) 1Co 11:22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:23 ============ 1Co 11:23 For I have received of the Lord that which also I delivered unto you, That the Lord Jesus the same night in which he was betrayed took bread:(KJV-1611) 1Co 11:23 Paske, men sa Seyè a te fè m' konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l' la, Seyè Jezi te pran pen,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:24 ============ 1Co 11:24 And when he had given thanks, he brake it, and said, Take, eat: this is my body, which is broken for you: this do in remembrance of me.(KJV-1611) 1Co 11:24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l', epi li di: Sa a se kò m', se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:25 ============ 1Co 11:25 After the same manner also he took the cup, when he had supped, saying, This cup is the new testament in my blood: this do ye, as oft as ye drink it, in remembrance of me.(KJV-1611) 1Co 11:25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l' pou nou ka chonje mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:26 ============ 1Co 11:26 For as often as ye eat this bread, and drink this cup, ye do shew the Lord's death till he come.(KJV-1611) 1Co 11:26 Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:27 ============ 1Co 11:27 Wherefore whosoever shall eat this bread, and drink this cup of the Lord, unworthily, shall be guilty of the body and blood of the Lord.(KJV-1611) 1Co 11:27 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:28 ============ 1Co 11:28 But let a man examine himself, and so let him eat of that bread, and drink of that cup.(KJV-1611) 1Co 11:28 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:29 ============ 1Co 11:29 For he that eateth and drinketh unworthily, eateth and drinketh damnation to himself, not discerning the Lord's body.(KJV-1611) 1Co 11:29 Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:30 ============ 1Co 11:30 For this cause many are weak and sickly among you, and many sleep.(KJV-1611) 1Co 11:30 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:31 ============ 1Co 11:31 For if we would judge ourselves, we should not be judged.(KJV-1611) 1Co 11:31 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:32 ============ 1Co 11:32 But when we are judged, we are chastened of the Lord, that we should not be condemned with the world.(KJV-1611) 1Co 11:32 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:33 ============ 1Co 11:33 Wherefore, my brethren, when ye come together to eat, tarry one for another.(KJV-1611) 1Co 11:33 Se sak fè, frè m' yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 11:34 ============ 1Co 11:34 And if any man hunger, let him eat at home; that ye come not together unto condemnation. And the rest will I set in order when I come.(KJV-1611) 1Co 11:34 Si yon moun grangou, se pou l' manje lakay li, pou l' pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m'a regle sa lè m'a rive lakay nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:1 ============ 1Co 12:1 Now concerning spiritual gifts, brethren, I would not have you ignorant.(KJV-1611) 1Co 12:1 Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:2 ============ 1Co 12:2 Ye know that ye were Gentiles, carried away unto these dumb idols, even as ye were led.(KJV-1611) 1Co 12:2 Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:3 ============ 1Co 12:3 Wherefore I give you to understand, that no man speaking by the Spirit of God calleth Jesus accursed: and that no man can say that Jesus is the Lord, but by the Holy Ghost.(KJV-1611) 1Co 12:3 Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:4 ============ 1Co 12:4 Now there are diversities of gifts, but the same Spirit.(KJV-1611) 1Co 12:4 Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:5 ============ 1Co 12:5 And there are differences of administrations, but the same Lord.(KJV-1611) 1Co 12:5 Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:6 ============ 1Co 12:6 And there are diversities of operations, but it is the same God which worketh all in all.(KJV-1611) 1Co 12:6 Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:7 ============ 1Co 12:7 But the manifestation of the Spirit is given to every man to profit withal.(KJV-1611) 1Co 12:7 Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:8 ============ 1Co 12:8 For to one is given by the Spirit the word of wisdom; to another the word of knowledge by the same Spirit;(KJV-1611) 1Co 12:8 Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:9 ============ 1Co 12:9 To another faith by the same Spirit; to another the gifts of healing by the same Spirit;(KJV-1611) 1Co 12:9 Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:10 ============ 1Co 12:10 To another the working of miracles; to another prophecy; to another discerning of spirits; to another divers kinds of tongues; to another the interpretation of tongues:(KJV-1611) 1Co 12:10 Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:11 ============ 1Co 12:11 But all these worketh that one and the selfsame Spirit, dividing to every man severally as he will.(KJV-1611) 1Co 12:11 Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:12 ============ 1Co 12:12 For as the body is one, and hath many members, and all the members of that one body, being many, are one body: so also is Christ.(KJV-1611) 1Co 12:12 Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:13 ============ 1Co 12:13 For by one Spirit are we all baptized into one body, whether we be Jews or Gentiles, whether we be bond or free; and have been all made to drink into one Spirit.(KJV-1611) 1Co 12:13 Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:14 ============ 1Co 12:14 For the body is not one member, but many.(KJV-1611) 1Co 12:14 Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:15 ============ 1Co 12:15 If the foot shall say, Because I am not the hand, I am not of the body; is it therefore not of the body?(KJV-1611) 1Co 12:15 Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:16 ============ 1Co 12:16 And if the ear shall say, Because I am not the eye, I am not of the body; is it therefore not of the body?(KJV-1611) 1Co 12:16 Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:17 ============ 1Co 12:17 If the whole body were an eye, where were the hearing? If the whole were hearing, where were the smelling?(KJV-1611) 1Co 12:17 Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:18 ============ 1Co 12:18 But now hath God set the members every one of them in the body, as it hath pleased him.(KJV-1611) 1Co 12:18 Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:19 ============ 1Co 12:19 And if they were all one member, where were the body?(KJV-1611) 1Co 12:19 Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:20 ============ 1Co 12:20 But now are they many members, yet but one body.(KJV-1611) 1Co 12:20 Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:21 ============ 1Co 12:21 And the eye cannot say unto the hand, I have no need of thee: nor again the head to the feet, I have no need of you.(KJV-1611) 1Co 12:21 Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:22 ============ 1Co 12:22 Nay, much more those members of the body, which seem to be more feeble, are necessary:(KJV-1611) 1Co 12:22 Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:23 ============ 1Co 12:23 And those members of the body, which we think to be less honourable, upon these we bestow more abundant honour; and our uncomely parts have more abundant comeliness.(KJV-1611) 1Co 12:23 Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:24 ============ 1Co 12:24 For our comely parts have no need: but God hath tempered the body together, having given more abundant honour to that part which lacked.(KJV-1611) 1Co 12:24 Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:25 ============ 1Co 12:25 That there should be no schism in the body; but that the members should have the same care one for another.(KJV-1611) 1Co 12:25 Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:26 ============ 1Co 12:26 And whether one member suffer, all the members suffer with it; or one member be honoured, all the members rejoice with it.(KJV-1611) 1Co 12:26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:27 ============ 1Co 12:27 Now ye are the body of Christ, and members in particular.(KJV-1611) 1Co 12:27 Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:28 ============ 1Co 12:28 And God hath set some in the church, first apostles, secondarily prophets, thirdly teachers, after that miracles, then gifts of healings, helps, governments, diversities of tongues.(KJV-1611) 1Co 12:28 Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:29 ============ 1Co 12:29 Are all apostles? are all prophets? are all teachers? are all workers of miracles?(KJV-1611) 1Co 12:29 Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:30 ============ 1Co 12:30 Have all the gifts of healing? do all speak with tongues? do all interpret?(KJV-1611) 1Co 12:30 Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 12:31 ============ 1Co 12:31 But covet earnestly the best gifts: and yet shew I unto you a more excellent way.(KJV-1611) 1Co 12:31 Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:1 ============ 1Co 13:1 Though I speak with the tongues of men and of angels, and have not charity, I am become as sounding brass, or a tinkling cymbal.(KJV-1611) 1Co 13:1 Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:2 ============ 1Co 13:2 And though I have the gift of prophecy, and understand all mysteries, and all knowledge; and though I have all faith, so that I could remove mountains, and have not charity, I am nothing.(KJV-1611) 1Co 13:2 Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:3 ============ 1Co 13:3 And though I bestow all my goods to feed the poor, and though I give my body to be burned, and have not charity, it profiteth me nothing.(KJV-1611) 1Co 13:3 Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:4 ============ 1Co 13:4 Charity suffereth long, and is kind; charity envieth not; charity vaunteth not itself, is not puffed up,(KJV-1611) 1Co 13:4 Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:5 ============ 1Co 13:5 Doth not behave itself unseemly, seeketh not her own, is not easily provoked, thinketh no evil;(KJV-1611) 1Co 13:5 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:6 ============ 1Co 13:6 Rejoiceth not in iniquity, but rejoiceth in the truth;(KJV-1611) 1Co 13:6 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:7 ============ 1Co 13:7 Beareth all things, believeth all things, hopeth all things, endureth all things.(KJV-1611) 1Co 13:7 Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:8 ============ 1Co 13:8 Charity never faileth: but whether there be prophecies, they shall fail; whether there be tongues, they shall cease; whether there be knowledge, it shall vanish away.(KJV-1611) 1Co 13:8 renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:9 ============ 1Co 13:9 For we know in part, and we prophesy in part.(KJV-1611) 1Co 13:9 Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:10 ============ 1Co 13:10 But when that which is perfect is come, then that which is in part shall be done away.(KJV-1611) 1Co 13:10 Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:11 ============ 1Co 13:11 When I was a child, I spake as a child, I understood as a child, I thought as a child: but when I became a man, I put away childish things.(KJV-1611) 1Co 13:11 Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:12 ============ 1Co 13:12 For now we see through a glass, darkly; but then face to face: now I know in part; but then shall I know even as also I am known.(KJV-1611) 1Co 13:12 Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 13:13 ============ 1Co 13:13 And now abideth faith, hope, charity, these three; but the greatest of these is charity.(KJV-1611) 1Co 13:13 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:1 ============ 1Co 14:1 Follow after charity, and desire spiritual gifts, but rather that ye may prophesy.(KJV-1611) 1Co 14:1 Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesaj ki soti nan Bondye yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:2 ============ 1Co 14:2 For he that speaketh in an unknown tongue speaketh not unto men, but unto God: for no man understandeth him; howbeit in the spirit he speaketh mysteries.(KJV-1611) 1Co 14:2 Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:3 ============ 1Co 14:3 But he that prophesieth speaketh unto men to edification, and exhortation, and comfort.(KJV-1611) 1Co 14:3 Okontrè, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:4 ============ 1Co 14:4 He that speaketh in an unknown tongue edifieth himself; but he that prophesieth edifieth the church.(KJV-1611) 1Co 14:4 Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:5 ============ 1Co 14:5 I would that ye all spake with tongues but rather that ye prophesied: for greater is he that prophesieth than he that speaketh with tongues, except he interpret, that the church may receive edifying.(KJV-1611) 1Co 14:5 Mwen dakò pou nou tout pale langaj. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Moun k'ap bay mesaj konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langaj, esepte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:6 ============ 1Co 14:6 Now, brethren, if I come unto you speaking with tongues, what shall I profit you, except I shall speak to you either by revelation, or by knowledge, or by prophesying, or by doctrine?(KJV-1611) 1Co 14:6 M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:7 ============ 1Co 14:7 And even things without life giving sound, whether pipe or harp, except they give a distinction in the sounds, how shall it be known what is piped or harped?(KJV-1611) 1Co 14:7 Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:8 ============ 1Co 14:8 For if the trumpet give an uncertain sound, who shall prepare himself to the battle?(KJV-1611) 1Co 14:8 Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo soti klè, ki sòlda ki pral pare kò l' pou li al goumen?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:9 ============ 1Co 14:9 So likewise ye, except ye utter by the tongue words easy to be understood, how shall it be known what is spoken? for ye shall speak into the air.(KJV-1611) 1Co 14:9 Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesaj w'ap bay an langaj la pa klè? Se pou van w'ap pale!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:10 ============ 1Co 14:10 There are, it may be, so many kinds of voices in the world, and none of them is without signification.(KJV-1611) 1Co 14:10 Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:11 ============ 1Co 14:11 Therefore if I know not the meaning of the voice, I shall be unto him that speaketh a barbarian, and he that speaketh shall be a barbarian unto me.(KJV-1611) 1Co 14:11 Men, si m' pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m' lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:12 ============ 1Co 14:12 Even so ye, forasmuch as ye are zealous of spiritual gifts, seek that ye may excel to the edifying of the church.(KJV-1611) 1Co 14:12 Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:13 ============ 1Co 14:13 Wherefore let him that speaketh in an unknown tongue pray that he may interpret.(KJV-1611) 1Co 14:13 Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:14 ============ 1Co 14:14 For if I pray in an unknown tongue, my spirit prayeth, but my understanding is unfruitful.(KJV-1611) 1Co 14:14 Lè m'ap lapriyè nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:15 ============ 1Co 14:15 What is it then? I will pray with the spirit, and I will pray with the understanding also: I will sing with the spirit, and I will sing with the understanding also.(KJV-1611) 1Co 14:15 Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:16 ============ 1Co 14:16 Else when thou shalt bless with the spirit, how shall he that occupieth the room of the unlearned say Amen at thy giving of thanks, seeing he understandeth not what thou sayest?(KJV-1611) 1Co 14:16 Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn "amèn" lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:17 ============ 1Co 14:17 For thou verily givest thanks well, but the other is not edified.(KJV-1611) 1Co 14:17 Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:18 ============ 1Co 14:18 I thank my God, I speak with tongues more than ye all:(KJV-1611) 1Co 14:18 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langaj pase nou tout.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:19 ============ 1Co 14:19 Yet in the church I had rather speak five words with my understanding, that by my voice I might teach others also, than ten thousand words in an unknown tongue.(KJV-1611) 1Co 14:19 Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:20 ============ 1Co 14:20 Brethren, be not children in understanding: howbeit in malice be ye children, but in understanding be men.(KJV-1611) 1Co 14:20 Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:21 ============ 1Co 14:21 In the law it is written, With men of other tongues and other lips will I speak unto this people; and yet for all that will they not hear me, saith the LORD.(KJV-1611) 1Co 14:21 Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:22 ============ 1Co 14:22 Wherefore tongues are for a sign, not to them that believe, but to them that believe not: but prophesying serveth not for them that believe not, but for them which believe.(KJV-1611) 1Co 14:22 Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:23 ============ 1Co 14:23 If therefore the whole church be come together into one place, and all speak with tongues, and there come in those that are unlearned, or unbelievers, will they not say that ye are mad?(KJV-1611) 1Co 14:23 Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:24 ============ 1Co 14:24 But if all prophesy, and there come in one that believeth not, or one unlearned, he is convinced of all, he is judged of all:(KJV-1611) 1Co 14:24 Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:25 ============ 1Co 14:25 And thus are the secrets of his heart made manifest; and so falling down on his face he will worship God, and report that God is in you of a truth.(KJV-1611) 1Co 14:25 Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:26 ============ 1Co 14:26 How is it then, brethren? when ye come together, every one of you hath a psalm, hath a doctrine, hath a tongue, hath a revelation, hath an interpretation. Let all things be done unto edifying.(KJV-1611) 1Co 14:26 Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:27 ============ 1Co 14:27 If any man speak in an unknown tongue, let it be by two, or at the most by three, and that by course; and let one interpret.(KJV-1611) 1Co 14:27 Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:28 ============ 1Co 14:28 But if there be no interpreter, let him keep silence in the church; and let him speak to himself, and to God.(KJV-1611) 1Co 14:28 Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:29 ============ 1Co 14:29 Let the prophets speak two or three, and let the other judge.(KJV-1611) 1Co 14:29 Pou moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se de ou twa ase ki pou pran lapawòl. Tout lòt yo va jije sa y'ap di a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:30 ============ 1Co 14:30 If any thing be revealed to another that sitteth by, let the first hold his peace.(KJV-1611) 1Co 14:30 Men, si yon moun nan asanble a resevwa yon revelasyon nan men Bondye, se pou moun k'ap pale a pe bouch li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:31 ============ 1Co 14:31 For ye may all prophesy one by one, that all may learn, and all may be comforted.(KJV-1611) 1Co 14:31 Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:32 ============ 1Co 14:32 And the spirits of the prophets are subject to the prophets.(KJV-1611) 1Co 14:32 Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:33 ============ 1Co 14:33 For God is not the author of confusion, but of peace, as in all churches of the saints.(KJV-1611) 1Co 14:33 Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:34 ============ 1Co 14:34 Let your women keep silence in the churches: for it is not permitted unto them to speak; but they are commanded to be under obedience as also saith the law.(KJV-1611) 1Co 14:34 fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:35 ============ 1Co 14:35 And if they will learn any thing, let them ask their husbands at home: for it is a shame for women to speak in the church.(KJV-1611) 1Co 14:35 Si yo bezwen mande kichòy, y'a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:36 ============ 1Co 14:36 What? came the word of God out from you? or came it unto you only?(KJV-1611) 1Co 14:36 Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:37 ============ 1Co 14:37 If any man think himself to be a prophet, or spiritual, let him acknowledge that the things that I write unto you are the commandments of the Lord.(KJV-1611) 1Co 14:37 Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:38 ============ 1Co 14:38 But if any man be ignorant, let him be ignorant.(KJV-1611) 1Co 14:38 Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:39 ============ 1Co 14:39 Wherefore, brethren, covet to prophesy, and forbid not to speak with tongues.(KJV-1611) 1Co 14:39 Konsa, frè m' yo, anvan tout bagay, se pou nou chache don pou nou ka bay mesaj ki soti nan Bondye. Pa anpeche moun pale langaj.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 14:40 ============ 1Co 14:40 Let all things be done decently and in order.(KJV-1611) 1Co 14:40 Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:1 ============ 1Co 15:1 Moreover, brethren, I declare unto you the gospel which I preached unto you, which also ye have received, and wherein ye stand;(KJV-1611) 1Co 15:1 Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:2 ============ 1Co 15:2 By which also ye are saved, if ye keep in memory what I preached unto you, unless ye have believed in vain.(KJV-1611) 1Co 15:2 Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l' jan mwen te anonse l' ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:3 ============ 1Co 15:3 For I delivered unto you first of all that which I also received, how that Christ died for our sins according to the scriptures;(KJV-1611) 1Co 15:3 Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:4 ============ 1Co 15:4 And that he was buried, and that he rose again the third day according to the scriptures:(KJV-1611) 1Co 15:4 Yo te antere l', li te leve soti vivan sou twa jou apre l' te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:5 ============ 1Co 15:5 And that he was seen of Cephas, then of the twelve:(KJV-1611) 1Co 15:5 Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l' tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:6 ============ 1Co 15:6 After that, he was seen of above five hundred brethren at once; of whom the greater part remain unto this present, but some are fallen asleep.(KJV-1611) 1Co 15:6 Apre sa, li te fè pou pi piti senksan frè wè l' anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:7 ============ 1Co 15:7 After that, he was seen of James; then of all the apostles.(KJV-1611) 1Co 15:7 Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l' ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:8 ============ 1Co 15:8 And last of all he was seen of me also, as of one born out of due time.(KJV-1611) 1Co 15:8 Apre tout moun sa yo, li te fè m' wè l' tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:9 ============ 1Co 15:9 For I am the least of the apostles, that am not meet to be called an apostle, because I persecuted the church of God.(KJV-1611) 1Co 15:9 Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m' apòt, pou jan m' te pèsekite legliz Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:10 ============ 1Co 15:10 But by the grace of God I am what I am: and his grace which was bestowed upon me was not in vain; but I laboured more abundantly than they all: yet not I, but the grace of God which was with me.(KJV-1611) 1Co 15:10 Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:11 ============ 1Co 15:11 Therefore whether it were I or they, so we preach, and so ye believed.(KJV-1611) 1Co 15:11 Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m' sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:12 ============ 1Co 15:12 Now if Christ be preached that he rose from the dead, how say some among you that there is no resurrection of the dead?(KJV-1611) 1Co 15:12 Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:13 ============ 1Co 15:13 But if there be no resurrection of the dead, then is Christ not risen:(KJV-1611) 1Co 15:13 Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:14 ============ 1Co 15:14 And if Christ be not risen, then is our preaching vain, and your faith is also vain.(KJV-1611) 1Co 15:14 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m' anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:15 ============ 1Co 15:15 Yea, and we are found false witnesses of God; because we have testified of God that he raised up Christ: whom he raised not up, if so be that the dead rise not.(KJV-1611) 1Co 15:15 Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:16 ============ 1Co 15:16 For if the dead rise not, then is not Christ raised:(KJV-1611) 1Co 15:16 Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:17 ============ 1Co 15:17 And if Christ be not raised, your faith is vain; ye are yet in your sins.(KJV-1611) 1Co 15:17 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:18 ============ 1Co 15:18 Then they also which are fallen asleep in Christ are perished.(KJV-1611) 1Co 15:18 Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:19 ============ 1Co 15:19 If in this life only we have hope in Christ, we are of all men most miserable.(KJV-1611) 1Co 15:19 Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:20 ============ 1Co 15:20 But now is Christ risen from the dead, and become the firstfruits of them that slept.(KJV-1611) 1Co 15:20 Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:21 ============ 1Co 15:21 For since by man came death, by man came also the resurrection of the dead.(KJV-1611) 1Co 15:21 Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:22 ============ 1Co 15:22 For as in Adam all die, even so in Christ shall all be made alive.(KJV-1611) 1Co 15:22 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:23 ============ 1Co 15:23 But every man in his own order: Christ the firstfruits; afterward they that are Christ's at his coming.(KJV-1611) 1Co 15:23 Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:24 ============ 1Co 15:24 Then cometh the end, when he shall have delivered up the kingdom to God, even the Father; when he shall have put down all rule and all authority and power.(KJV-1611) 1Co 15:24 Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l' fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:25 ============ 1Co 15:25 For he must reign, till he hath put all enemies under his feet.(KJV-1611) 1Co 15:25 Paske Kris la gen pou l' gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l' yo, pou l' mete yo anba pye li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:26 ============ 1Co 15:26 The last enemy that shall be destroyed is death.(KJV-1611) 1Co 15:26 Nan tout lènmi l' yo, se lanmò k'ap kraze an dènye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:27 ============ 1Co 15:27 For he hath put all things under his feet. But when he saith all things are put under him, it is manifest that he is excepted, which did put all things under him.(KJV-1611) 1Co 15:27 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:28 ============ 1Co 15:28 And when all things shall be subdued unto him, then shall the Son also himself be subject unto him that put all things under him, that God may be all in all.(KJV-1611) 1Co 15:28 Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:29 ============ 1Co 15:29 Else what shall they do which are baptized for the dead, if the dead rise not at all? why are they then baptized for the dead?(KJV-1611) 1Co 15:29 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:30 ============ 1Co 15:30 And why stand we in jeopardy every hour?(KJV-1611) 1Co 15:30 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:31 ============ 1Co 15:31 I protest by your rejoicing which I have in Christ Jesus our LORD, I die daily.(KJV-1611) 1Co 15:31 Frè m' yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m' di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:32 ============ 1Co 15:32 If after the manner of men I have fought with beasts at Ephesus, what advantageth it me, if the dead rise not? let us eat and drink; for to morrow we die.(KJV-1611) 1Co 15:32 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:33 ============ 1Co 15:33 Be not deceived: evil communications corrupt good manners.(KJV-1611) 1Co 15:33 Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:34 ============ 1Co 15:34 Awake to righteousness, and sin not; for some have not the knowledge of God: I speak this to your shame.(KJV-1611) 1Co 15:34 Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:35 ============ 1Co 15:35 But some man will say, How are the dead raised up? and with what body do they come?(KJV-1611) 1Co 15:35 Men, yon moun va mande m': Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:36 ============ 1Co 15:36 Thou fool, that which thou sowest is not quickened, except it die:(KJV-1611) 1Co 15:36 Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l' pa mouri anvan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:37 ============ 1Co 15:37 And that which thou sowest, thou sowest not that body that shall be, but bare grain, it may chance of wheat, or of some other grain:(KJV-1611) 1Co 15:37 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:38 ============ 1Co 15:38 But God giveth it a body as it hath pleased him, and to every seed his own body.(KJV-1611) 1Co 15:38 Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:39 ============ 1Co 15:39 All flesh is not the same flesh: but there is one kind of flesh of men, another flesh of beasts, another of fishes, and another of birds.(KJV-1611) 1Co 15:39 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t' gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:40 ============ 1Co 15:40 There are also celestial bodies, and bodies terrestrial: but the glory of the celestial is one, and the glory of the terrestrial is another.(KJV-1611) 1Co 15:40 Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:41 ============ 1Co 15:41 There is one glory of the sun, and another glory of the moon, and another glory of the stars: for one star differeth from another star in glory.(KJV-1611) 1Co 15:41 Limyè solèy la gen bèlte pa l', lalin lan gen bèlte pa l', zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:42 ============ 1Co 15:42 So also is the resurrection of the dead. It is sown in corruption; it is raised in incorruption:(KJV-1611) 1Co 15:42 Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:43 ============ 1Co 15:43 It is sown in dishonour; it is raised in glory: it is sown in weakness; it is raised in power:(KJV-1611) 1Co 15:43 Lè yo te antere l', li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:44 ============ 1Co 15:44 It is sown a natural body; it is raised a spiritual body. There is a natural body, and there is a spiritual body.(KJV-1611) 1Co 15:44 Lè yo te antere l', li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:45 ============ 1Co 15:45 And so it is written, The first man Adam was made a living soul; the last Adam was made a quickening spirit.(KJV-1611) 1Co 15:45 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:46 ============ 1Co 15:46 Howbeit that was not first which is spiritual, but that which is natural; and afterward that which is spiritual.(KJV-1611) 1Co 15:46 Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:47 ============ 1Co 15:47 The first man is of the earth, earthy; the second man is the Lord from heaven.(KJV-1611) 1Co 15:47 Premye Adan an, Bondye te fè l' ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:48 ============ 1Co 15:48 As is the earthy, such are they also that are earthy: and as is the heavenly, such are they also that are heavenly.(KJV-1611) 1Co 15:48 Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:49 ============ 1Co 15:49 And as we have borne the image of the earthy, we shall also bear the image of the heavenly.(KJV-1611) 1Co 15:49 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:50 ============ 1Co 15:50 Now this I say, brethren, that flesh and blood cannot inherit the kingdom of God; neither doth corruption inherit incorruption.(KJV-1611) 1Co 15:50 Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:51 ============ 1Co 15:51 Behold, I shew you a mystery; We shall not all sleep, but we shall all be changed,(KJV-1611) 1Co 15:51 M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n' chanje fòm nan yon ti kadè,(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:52 ============ 1Co 15:52 In a moment, in the twinkling of an eye, at the last trump: for the trumpet shall sound, and the dead shall be raised incorruptible, and we shall be changed.(KJV-1611) 1Co 15:52 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:53 ============ 1Co 15:53 For this corruptible must put on incorruption, and this mortal must put on immortality.(KJV-1611) 1Co 15:53 Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:54 ============ 1Co 15:54 So when this corruptible shall have put on incorruption, and this mortal shall have put on immortality, then shall be brought to pass the saying that is written, Death is swallowed up in victory.(KJV-1611) 1Co 15:54 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:55 ============ 1Co 15:55 O death, where is thy sting? O grave, where is thy victory?(KJV-1611) 1Co 15:55 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:56 ============ 1Co 15:56 The sting of death is sin; and the strength of sin is the law.(KJV-1611) 1Co 15:56 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:57 ============ 1Co 15:57 But thanks be to God, which giveth us the victory through our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 1Co 15:57 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 15:58 ============ 1Co 15:58 Therefore, my beloved brethren, be ye stedfast, unmoveable, always abounding in the work of the Lord, forasmuch as ye know that your labour is not in vain in the Lord.(KJV-1611) 1Co 15:58 Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:1 ============ 1Co 16:1 Now concerning the collection for the saints, as I have given order to the churches of Galatia, even so do ye.(KJV-1611) 1Co 16:1 Kanta lajan nou t'ap ranmase pou ede pèp Bondye ki lavil Jerizalèm lan, se pou nou fè tankou mwen te di legliz nan peyi Galasi yo fè.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:2 ============ 1Co 16:2 Upon the first day of the week let every one of you lay by him in store, as God hath prospered him, that there be no gatherings when I come.(KJV-1611) 1Co 16:2 Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:3 ============ 1Co 16:3 And when I come, whomsoever ye shall approve by your letters, them will I send to bring your liberality unto Jerusalem.(KJV-1611) 1Co 16:3 Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:4 ============ 1Co 16:4 And if it be meet that I go also, they shall go with me.(KJV-1611) 1Co 16:4 Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:5 ============ 1Co 16:5 Now I will come unto you, when I shall pass through Macedonia: for I do pass through Macedonia.(KJV-1611) 1Co 16:5 M'a vin lakay nou lè m'a fin pase nan peyi Masedwan. Paske, fòk mwen pase la anvan.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:6 ============ 1Co 16:6 And it may be that I will abide, yea, and winter with you, that ye may bring me on my journey whithersoever I go.(KJV-1611) 1Co 16:6 Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m' ale kote m'a gen pou mwen ale a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:7 ============ 1Co 16:7 For I will not see you now by the way; but I trust to tarry a while with you, if the Lord permit.(KJV-1611) 1Co 16:7 Fwa sa a, mwen pa vle wè nou anpasan konsa. Mwen ta renmen rete pase kèk tan ak nou, si Bondye vle.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:8 ============ 1Co 16:8 But I will tarry at Ephesus until Pentecost.(KJV-1611) 1Co 16:8 Men, mwen fè lide rete isit nan lavil Efèz jouk pou fèt Lapannkòt.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:9 ============ 1Co 16:9 For a great door and effectual is opened unto me, and there are many adversaries.(KJV-1611) 1Co 16:9 Paske nan lavil sa a, mwen jwenn yon bon okazyon pou m' fè travay mwen, atout gen anpil moun ki pa vle wè mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:10 ============ 1Co 16:10 Now if Timotheus come, see that he may be with you without fear: for he worketh the work of the Lord, as I also do.(KJV-1611) 1Co 16:10 Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:11 ============ 1Co 16:11 Let no man therefore despise him: but conduct him forth in peace, that he may come unto me: for I look for him with the brethren.(KJV-1611) 1Co 16:11 Pa kite pesonn meprize li. Se pou nou ede l' pou li ka kontinye vwayaj li ak kè poze, pou l' ka tounen vin jwenn mwen. Paske, n'ap tann li ak frè yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:12 ============ 1Co 16:12 As touching our brother Apollos, I greatly desired him to come unto you with the brethren: but his will was not at all to come at this time; but he will come when he shall have convenient time.(KJV-1611) 1Co 16:12 Kanta frè Apolòs, mwen pa t' manke ankouraje l' pou l' te vin lakay nou. Men, sanble lide li pa sou sa koulye a. Enben, la fè vwayaj la lè la kapab.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:13 ============ 1Co 16:13 Watch ye, stand fast in the faith, quit you like men, be strong.(KJV-1611) 1Co 16:13 Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:14 ============ 1Co 16:14 Let all your things be done with charity.(KJV-1611) 1Co 16:14 Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:15 ============ 1Co 16:15 I beseech you, brethren, (ye know the house of Stephanas, that it is the firstfruits of Achaia, and that they have addicted themselves to the ministry of the saints,)(KJV-1611) 1Co 16:15 Frè m' yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:16 ============ 1Co 16:16 That ye submit yourselves unto such, and to every one that helpeth with us, and laboureth.(KJV-1611) 1Co 16:16 Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:17 ============ 1Co 16:17 I am glad of the coming of Stephanas and Fortunatus and Achaicus: for that which was lacking on your part they have supplied.(KJV-1611) 1Co 16:17 Mwen pa manke kontan pou Estefanas, Fòtenatis, Akaykis ki vin wè mwen. Yo fè m' santi se tankou si se nou menm menm ki te la avèk mwen.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:18 ============ 1Co 16:18 For they have refreshed my spirit and your's: therefore acknowledge ye them that are such.(KJV-1611) 1Co 16:18 Yo remoute kouraj mwen, menm jan yo te remoute kouraj nou. Moun konsa, se pou nou konnen ki jan pou nou konsidere yo.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:19 ============ 1Co 16:19 The churches of Asia salute you. Aquila and Priscilla salute you much in the Lord, with the church that is in their house.(KJV-1611) 1Co 16:19 Legliz ki nan peyi Lazi yo voye bonjou pou nou. Akilas ak Prisil ansanm ak legliz ki reyini lakay yo a voye yon pakèt bonjou pou nou nan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:20 ============ 1Co 16:20 All the brethren greet you. Greet ye one another with an holy kiss.(KJV-1611) 1Co 16:20 Tout frè ki isit yo voye bonjou pou nou tou. Nou menm, bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:21 ============ 1Co 16:21 The salutation of me Paul with mine own hand.(KJV-1611) 1Co 16:21 M'ap ekri nou sa ak men pa m': Pòl voye bonjou pou nou tout.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:22 ============ 1Co 16:22 If any man love not the Lord Jesus Christ, let him be Anathema Maranatha.(KJV-1611) 1Co 16:22 Si yon moun pa renmen Seyè a, madichon pou li. Seyè nou, vini non!(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:23 ============ 1Co 16:23 The grace of our Lord Jesus Christ be with you.(KJV-1611) 1Co 16:23 Se pou benediksyon Jezi Seyè a toujou la avè nou.(Creole-HT) ======= 1 Corinthians 16:24 ============ 1Co 16:24 My love be with you all in Christ Jesus. Amen.(KJV-1611) 1Co 16:24 Mwen renmen nou tout nan Jezikri.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:1 ============ 2Co 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, and Timothy our brother, unto the church of God which is at Corinth, with all the saints which are in all Achaia:(KJV-1611) 2Co 1:1 Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:2 ============ 2Co 1:2 Grace be to you and peace from God our Father, and from the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 2Co 1:2 Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:3 ============ 2Co 1:3 Blessed be God, even the Father of our Lord Jesus Christ, the Father of mercies, and the God of all comfort;(KJV-1611) 2Co 1:3 Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:4 ============ 2Co 1:4 Who comforteth us in all our tribulation, that we may be able to comfort them which are in any trouble, by the comfort wherewith we ourselves are comforted of God.(KJV-1611) 2Co 1:4 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:5 ============ 2Co 1:5 For as the sufferings of Christ abound in us, so our consolation also aboundeth by Christ.(KJV-1611) 2Co 1:5 Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:6 ============ 2Co 1:6 And whether we be afflicted, it is for your consolation and salvation, which is effectual in the enduring of the same sufferings which we also suffer: or whether we be comforted, it is for your consolation and salvation.(KJV-1611) 2Co 1:6 Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:7 ============ 2Co 1:7 And our hope of you is stedfast, knowing, that as ye are partakers of the sufferings, so shall ye be also of the consolation.(KJV-1611) 2Co 1:7 Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:8 ============ 2Co 1:8 For we would not, brethren, have you ignorant of our trouble which came to us in Asia, that we were pressed out of measure, above strength, insomuch that we despaired even of life:(KJV-1611) 2Co 1:8 Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:9 ============ 2Co 1:9 But we had the sentence of death in ourselves, that we should not trust in ourselves, but in God which raiseth the dead:(KJV-1611) 2Co 1:9 Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:10 ============ 2Co 1:10 Who delivered us from so great a death, and doth deliver: in whom we trust that he will yet deliver us;(KJV-1611) 2Co 1:10 Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:11 ============ 2Co 1:11 Ye also helping together by prayer for us, that for the gift bestowed upon us by the means of many persons thanks may be given by many on our behalf.(KJV-1611) 2Co 1:11 depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mèsi pou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:12 ============ 2Co 1:12 For our rejoicing is this, the testimony of our conscience, that in simplicity and godly sincerity, not with fleshly wisdom, but by the grace of God, we have had our conversation in the world, and more abundantly to you-ward.(KJV-1611) 2Co 1:12 Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:13 ============ 2Co 1:13 For we write none other things unto you, than what ye read or acknowledge; and I trust ye shall acknowledge even to the end;(KJV-1611) 2Co 1:13 Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:14 ============ 2Co 1:14 As also ye have acknowledged us in part, that we are your rejoicing, even as ye also are our's in the day of the Lord Jesus.(KJV-1611) 2Co 1:14 sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:15 ============ 2Co 1:15 And in this confidence I was minded to come unto you before, that ye might have a second benefit;(KJV-1611) 2Co 1:15 Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te kòmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:16 ============ 2Co 1:16 And to pass by you into Macedonia, and to come again out of Macedonia unto you, and of you to be brought on my way toward Judaea.(KJV-1611) 2Co 1:16 Men wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen t'aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m' ankò lè m'ap tounen soti la. Nou ta ka ede m' lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:17 ============ 2Co 1:17 When I therefore was thus minded, did I use lightness? or the things that I purpose, do I purpose according to the flesh, that with me there should be yea yea, and nay nay?(KJV-1611) 2Co 1:17 Lè m' te fè lide sa a, èske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, èske se avantaj pa m' m'ap chache tankou tout moun kifè m' ta gen de pawòl?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:18 ============ 2Co 1:18 But as God is true, our word toward you was not yea and nay.(KJV-1611) 2Co 1:18 Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pa t' yon wi ak yon non anmenmtan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:19 ============ 2Co 1:19 For the Son of God, Jesus Christ, who was preached among you by us, even by me and Silvanus and Timotheus, was not yea and nay, but in him was yea.(KJV-1611) 2Co 1:19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:20 ============ 2Co 1:20 For all the promises of God in him are yea, and in him Amen, unto the glory of God by us.(KJV-1611) 2Co 1:20 Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:21 ============ 2Co 1:21 Now he which stablisheth us with you in Christ, and hath anointed us, is God;(KJV-1611) 2Co 1:21 Se Bondye menm ki kenbe m' fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:22 ============ 2Co 1:22 Who hath also sealed us, and given the earnest of the Spirit in our hearts.(KJV-1611) 2Co 1:22 li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kè nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:23 ============ 2Co 1:23 Moreover I call God for a record upon my soul, that to spare you I came not as yet unto Corinth.(KJV-1611) 2Co 1:23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 1:24 ============ 2Co 1:24 Not for that we have dominion over your faith, but are helpers of your joy: for by faith ye stand.(KJV-1611) 2Co 1:24 Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:1 ============ 2Co 2:1 But I determined this with myself, that I would not come again to you in heaviness.(KJV-1611) 2Co 2:1 Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fè nou lapenn ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:2 ============ 2Co 2:2 For if I make you sorry, who is he then that maketh me glad, but the same which is made sorry by me?(KJV-1611) 2Co 2:2 Si pou m' ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m' kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:3 ============ 2Co 2:3 And I wrote this same unto you, lest, when I came, I should have sorrow from them of whom I ought to rejoice; having confidence in you all, that my joy is the joy of you all.(KJV-1611) 2Co 2:3 Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:4 ============ 2Co 2:4 For out of much affliction and anguish of heart I wrote unto you with many tears; not that ye should be grieved, but that ye might know the love which I have more abundantly unto you.(KJV-1611) 2Co 2:4 Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:5 ============ 2Co 2:5 But if any have caused grief, he hath not grieved me, but in part: that I may not overcharge you all.(KJV-1611) 2Co 2:5 Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:6 ============ 2Co 2:6 Sufficient to such a man is this punishment, which was inflicted of many.(KJV-1611) 2Co 2:6 Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:7 ============ 2Co 2:7 So that contrariwise ye ought rather to forgive him, and comfort him, lest perhaps such a one should be swallowed up with overmuch sorrow.(KJV-1611) 2Co 2:7 Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l' nèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:8 ============ 2Co 2:8 Wherefore I beseech you that ye would confirm your love toward him.(KJV-1611) 2Co 2:8 Se poutèt sa, m'ap mande nou pou nou aji avè l' yon jan pou fè l' wè jan nou renmen li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:9 ============ 2Co 2:9 For to this end also did I write, that I might know the proof of you, whether ye be obedient in all things.(KJV-1611) 2Co 2:9 Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:10 ============ 2Co 2:10 To whom ye forgive any thing, I forgive also: for if I forgave any thing, to whom I forgave it, for your sakes forgave I it in the person of Christ;(KJV-1611) 2Co 2:10 Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lè m' fè sa, mwen fè l' pou nou devan Kris la,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:11 ============ 2Co 2:11 Lest Satan should get an advantage of us: for we are not ignorant of his devices.(KJV-1611) 2Co 2:11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:12 ============ 2Co 2:12 Furthermore, when I came to Troas to preach Christ's gospel, and a door was opened unto me of the Lord,(KJV-1611) 2Co 2:12 Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:13 ============ 2Co 2:13 I had no rest in my spirit, because I found not Titus my brother: but taking my leave of them, I went from thence into Macedonia.(KJV-1611) 2Co 2:13 Men, kè m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:14 ============ 2Co 2:14 Now thanks be unto God, which always causeth us to triumph in Christ, and maketh manifest the savour of his knowledge by us in every place.(KJV-1611) 2Co 2:14 Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:15 ============ 2Co 2:15 For we are unto God a sweet savour of Christ, in them that are saved, and in them that perish:(KJV-1611) 2Co 2:15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:16 ============ 2Co 2:16 To the one we are the savour of death unto death; and to the other the savour of life unto life. And who is sufficient for these things?(KJV-1611) 2Co 2:16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 2:17 ============ 2Co 2:17 For we are not as many, which corrupt the word of God: but as of sincerity, but as of God, in the sight of God speak we in Christ.(KJV-1611) 2Co 2:17 Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:1 ============ 2Co 3:1 Do we begin again to commend ourselves? or need we, as some others, epistles of commendation to you, or letters of commendation from you?(KJV-1611) 2Co 3:1 Eske sa vle di m'ap kòmanse fè lwanj tèt mwen ankò? Osinon, èske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò èske se pou m' ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:2 ============ 2Co 3:2 Ye are our epistle written in our hearts, known and read of all men:(KJV-1611) 2Co 3:2 Se nou menm, moun Korent, ki lèt rekòmandasyon mwen, yon lèt ki ekri nan kè m' pou tout moun ki konn li ka li li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:3 ============ 2Co 3:3 Forasmuch as ye are manifestly declared to be the epistle of Christ ministered by us, written not with ink, but with the Spirit of the living God; not in tables of stone, but in fleshy tables of the heart.(KJV-1611) 2Co 3:3 Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:4 ============ 2Co 3:4 And such trust have we through Christ to God-ward:(KJV-1611) 2Co 3:4 M'ap di nou tou sa, paske, gremesi Jezikri, mwen gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:5 ============ 2Co 3:5 Not that we are sufficient of ourselves to think any thing as of ourselves; but our sufficiency is of God;(KJV-1611) 2Co 3:5 Konprann byen, mwen pa t' janm gen pretansyon pou m' ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouraj mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m' ka fè li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:6 ============ 2Co 3:6 Who also hath made us able ministers of the new testament; not of the letter, but of the spirit: for the letter killeth, but the spirit giveth life.(KJV-1611) 2Co 3:6 Se li menm ki fè m' ka sèvi anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa t' fèt dapre lalwa ki ekri a, men dapre pouvwa Lespri Bondye a. Lalwa ki ekri a bay lanmò, men Lespri Bondye a bay lavi.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:7 ============ 2Co 3:7 But if the ministration of death, written and engraven in stones, was glorious, so that the children of Israel could not stedfastly behold the face of Moses for the glory of his countenance; which glory was to be done away:(KJV-1611) 2Co 3:7 Yo te make lalwa a lèt pa lèt sou de moso wòch plat. Pouvwa Bondye a te parèt aklè lè li t'ap bay li. Lè sa a, figi Moyiz te sitèlman klere, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka fiske je yo sou li. Men, figi Moyiz la pa t'ap rete klere tout tan. Si travay lalwa a, ki te la pou bay lanmò, te parèt konsa,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:8 ============ 2Co 3:8 How shall not the ministration of the spirit be rather glorious?(KJV-1611) 2Co 3:8 nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:9 ============ 2Co 3:9 For if the ministration of condemnation be glory, much more doth the ministration of righteousness exceed in glory.(KJV-1611) 2Co 3:9 Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:10 ============ 2Co 3:10 For even that which was made glorious had no glory in this respect, by reason of the glory that excelleth.(KJV-1611) 2Co 3:10 Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè koulye a, sitèlman li depase l' anpil.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:11 ============ 2Co 3:11 For if that which is done away was glorious, much more that which remaineth is glorious.(KJV-1611) 2Co 3:11 Si sa ki te la pou yon tan an te gen pouvwa, nou pa bezwen mande ki pouvwa sa ki la pou tout tan an genyen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:12 ============ 2Co 3:12 Seeing then that we have such hope, we use great plainness of speech:(KJV-1611) 2Co 3:12 Se paske mwen gen tout espwa sa a kifè kè m' poze konsa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:13 ============ 2Co 3:13 And not as Moses, which put a vail over his face, that the children of Israel could not stedfastly look to the end of that which is abolished:(KJV-1611) 2Co 3:13 Mwen pa tankou Moyiz: klate ki te nan figi l' la te la pou yon tan. Se sa ki fè Moyiz te kouri kouvri tout figi l' ak yon moso twal pou moun pèp Izrayèl yo pa t' wè lè klate a disparèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:14 ============ 2Co 3:14 But their minds were blinded: for until this day remaineth the same vail untaken away in the reading of the old testament; which vail is done away in Christ.(KJV-1611) 2Co 3:14 Men, yo pa t' ka konprann anyen. Jouk koulye a, lè y'ap li liv ansyen kontra yo, vwal la toujou la sou lespri yo. Lè yon moun mete konfyans yo nan Kris la, se lè sa a vwal la disparèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:15 ============ 2Co 3:15 But even unto this day, when Moses is read, the vail is upon their heart.(KJV-1611) 2Co 3:15 Jòdi a ankò, chak fwa y'ap li liv Moyiz yo, vwal la kouvri lespri yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:16 ============ 2Co 3:16 Nevertheless when it shall turn to the Lord, the vail shall be taken away.(KJV-1611) 2Co 3:16 Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Seyè a, vwal la soti.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:17 ============ 2Co 3:17 Now the Lord is that Spirit: and where the Spirit of the Lord is, there is liberty.(KJV-1611) 2Co 3:17 Kilès Seyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, la gen libète.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 3:18 ============ 2Co 3:18 But we all, with open face beholding as in a glass the glory of the Lord, are changed into the same image from glory to glory, even as by the Spirit of the LORD.(KJV-1611) 2Co 3:18 Nou tout, nou pa kouvri figi nou; nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Seyè a. Sa se travay Seyè a. Lespri Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:1 ============ 2Co 4:1 Therefore seeing we have this ministry, as we have received mercy, we faint not;(KJV-1611) 2Co 4:1 Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:2 ============ 2Co 4:2 But have renounced the hidden things of dishonesty, not walking in craftiness, nor handling the word of God deceitfully; but by manifestation of the truth commending ourselves to every man's conscience in the sight of God.(KJV-1611) 2Co 4:2 Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:3 ============ 2Co 4:3 But if our gospel be hid, it is hid to them that are lost:(KJV-1611) 2Co 4:3 Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:4 ============ 2Co 4:4 In whom the god of this world hath blinded the minds of them which believe not, lest the light of the glorious gospel of Christ, who is the image of God, should shine unto them.(KJV-1611) 2Co 4:4 Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:5 ============ 2Co 4:5 For we preach not ourselves, but Christ Jesus the Lord; and ourselves your servants for Jesus' sake.(KJV-1611) 2Co 4:5 Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:6 ============ 2Co 4:6 For God, who commanded the light to shine out of darkness, hath shined in our hearts, to give the light of the knowledge of the glory of God in the face of Jesus Christ.(KJV-1611) 2Co 4:6 Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:7 ============ 2Co 4:7 But we have this treasure in earthen vessels, that the excellency of the power may be of God, and not of us.(KJV-1611) 2Co 4:7 Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:8 ============ 2Co 4:8 We are troubled on every side, yet not distressed; we are perplexed, but not in despair;(KJV-1611) 2Co 4:8 Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:9 ============ 2Co 4:9 Persecuted, but not forsaken; cast down, but not destroyed;(KJV-1611) 2Co 4:9 Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:10 ============ 2Co 4:10 Always bearing about in the body the dying of the Lord Jesus, that the life also of Jesus might be made manifest in our body.(KJV-1611) 2Co 4:10 Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:11 ============ 2Co 4:11 For we which live are alway delivered unto death for Jesus' sake, that the life also of Jesus might be made manifest in our mortal flesh.(KJV-1611) 2Co 4:11 Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:12 ============ 2Co 4:12 So then death worketh in us, but life in you.(KJV-1611) 2Co 4:12 Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:13 ============ 2Co 4:13 We having the same spirit of faith, according as it is written, I believed, and therefore have I spoken; we also believe, and therefore speak;(KJV-1611) 2Co 4:13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:14 ============ 2Co 4:14 Knowing that he which raised up the Lord Jesus shall raise up us also by Jesus, and shall present us with you.(KJV-1611) 2Co 4:14 Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l' fè m' tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l' fè m' parèt ansanm ak nou devan li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:15 ============ 2Co 4:15 For all things are for your sakes, that the abundant grace might through the thanksgiving of many redound to the glory of God.(KJV-1611) 2Co 4:15 Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:16 ============ 2Co 4:16 For which cause we faint not; but though our outward man perish, yet the inward man is renewed day by day.(KJV-1611) 2Co 4:16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:17 ============ 2Co 4:17 For our light affliction, which is but for a moment, worketh for us a far more exceeding and eternal weight of glory;(KJV-1611) 2Co 4:17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 4:18 ============ 2Co 4:18 While we look not at the things which are seen, but at the things which are not seen: for the things which are seen are temporal; but the things which are not seen are eternal.(KJV-1611) 2Co 4:18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:1 ============ 2Co 5:1 For we know that if our earthly house of this tabernacle were dissolved, we have a building of God, an house not made with hands, eternal in the heavens.(KJV-1611) 2Co 5:1 Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:2 ============ 2Co 5:2 For in this we groan, earnestly desiring to be clothed upon with our house which is from heaven:(KJV-1611) 2Co 5:2 Koulye a m'ap plenn anpil, sitèlman m' anvi antre nan kay mwen gen nan syèl la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:3 ============ 2Co 5:3 If so be that being clothed we shall not be found naked.(KJV-1611) 2Co 5:3 Konsa, lè m'a antre ladan l', yo p'ap jwenn mwen toutouni.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:4 ============ 2Co 5:4 For we that are in this tabernacle do groan, being burdened: not for that we would be unclothed, but clothed upon, that mortality might be swallowed up of life.(KJV-1611) 2Co 5:4 Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:5 ============ 2Co 5:5 Now he that hath wrought us for the selfsame thing is God, who also hath given unto us the earnest of the Spirit.(KJV-1611) 2Co 5:5 Se Bondye menm ki pare nou pou chanjman sa a. Li ban nou Sentespri l' tankou yon garanti pou tout byen li sere pou nou yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:6 ============ 2Co 5:6 Therefore we are always confident, knowing that, whilst we are at home in the body, we are absent from the Lord:(KJV-1611) 2Co 5:6 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:7 ============ 2Co 5:7 (For we walk by faith, not by sight:)(KJV-1611) 2Co 5:7 Si n'ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:8 ============ 2Co 5:8 We are confident, I say, and willing rather to be absent from the body, and to be present with the Lord.(KJV-1611) 2Co 5:8 Nou gen gwo kouraj epi nou ta pito kite kò sa a pou n' al rete toupre Seyè a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:9 ============ 2Co 5:9 Wherefore we labour, that, whether present or absent, we may be accepted of him.(KJV-1611) 2Co 5:9 Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:10 ============ 2Co 5:10 For we must all appear before the judgment seat of Christ; that every one may receive the things done in his body, according to that he hath done, whether it be good or bad.(KJV-1611) 2Co 5:10 Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:11 ============ 2Co 5:11 Knowing therefore the terror of the Lord, we persuade men; but we are made manifest unto God; and I trust also are made manifest in your consciences.(KJV-1611) 2Co 5:11 Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:12 ============ 2Co 5:12 For we commend not ourselves again unto you, but give you occasion to glory on our behalf, that ye may have somewhat to answer them which glory in appearance, and not in heart.(KJV-1611) 2Co 5:12 Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m' anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:13 ============ 2Co 5:13 For whether we be beside ourselves, it is to God: or whether we be sober, it is for your cause.(KJV-1611) 2Co 5:13 Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:14 ============ 2Co 5:14 For the love of Christ constraineth us; because we thus judge, that if one died for all, then were all dead:(KJV-1611) 2Co 5:14 Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:15 ============ 2Co 5:15 And that he died for all, that they which live should not henceforth live unto themselves, but unto him which died for them, and rose again.(KJV-1611) 2Co 5:15 Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve soti vivan nan lanmò pou yo a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:16 ============ 2Co 5:16 Wherefore henceforth know we no man after the flesh: yea, though we have known Christ after the flesh, yet now henceforth know we him no more.(KJV-1611) 2Co 5:16 Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:17 ============ 2Co 5:17 Therefore if any man be in Christ, he is a new creature: old things are passed away; behold, all things are become new.(KJV-1611) 2Co 5:17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:18 ============ 2Co 5:18 And all things are of God, who hath reconciled us to himself by Jesus Christ, and hath given to us the ministry of reconciliation;(KJV-1611) 2Co 5:18 Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:19 ============ 2Co 5:19 To wit, that God was in Christ, reconciling the world unto himself, not imputing their trespasses unto them; and hath committed unto us the word of reconciliation.(KJV-1611) 2Co 5:19 Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:20 ============ 2Co 5:20 Now then we are ambassadors for Christ, as though God did beseech you by us: we pray you in Christ's stead, be ye reconciled to God.(KJV-1611) 2Co 5:20 Se sak fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m', tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 5:21 ============ 2Co 5:21 For he hath made him to be sin for us, who knew no sin; that we might be made the righteousness of God in him.(KJV-1611) 2Co 5:21 Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:1 ============ 2Co 6:1 We then, as workers together with him, beseech you also that ye receive not the grace of God in vain.(KJV-1611) 2Co 6:1 Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:2 ============ 2Co 6:2 (For he saith, I have heard thee in a time accepted, and in the day of salvation have I succoured thee: behold, now is the accepted time; behold, now is the day of salvation.)(KJV-1611) 2Co 6:2 Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:3 ============ 2Co 6:3 Giving no offence in any thing, that the ministry be not blamed:(KJV-1611) 2Co 6:3 Mwen pa ta vle pesonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m' pa bay pesonn okazyon tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:4 ============ 2Co 6:4 But in all things approving ourselves as the ministers of God, in much patience, in afflictions, in necessities, in distresses,(KJV-1611) 2Co 6:4 Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:5 ============ 2Co 6:5 In stripes, in imprisonments, in tumults, in labours, in watchings, in fastings;(KJV-1611) 2Co 6:5 Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:6 ============ 2Co 6:6 By pureness, by knowledge, by longsuffering, by kindness, by the Holy Ghost, by love unfeigned,(KJV-1611) 2Co 6:6 Mwen fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye pou jan m' mache dwat, pou jan m' konn verite a, pou jan m' gen pasyans ak bon kè, pou jan m' kite Sentespri dirije lavi m', pou jan m' renmen tout moun ak tout kè mwen,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:7 ============ 2Co 6:7 By the word of truth, by the power of God, by the armour of righteousness on the right hand and on the left,(KJV-1611) 2Co 6:7 pou jan m'ap mache bay verite a, pou jan Bondye soutni m' ak pouvwa li. Mwen sèvi ak tout bagay ki dwat tankou zam, kit pou atake, kit pou defann tèt mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:8 ============ 2Co 6:8 By honour and dishonour, by evil report and good report: as deceivers, and yet true;(KJV-1611) 2Co 6:8 Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m' wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m' mal. Yo fè m' pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:9 ============ 2Co 6:9 As unknown, and yet well known; as dying, and, behold, we live; as chastened, and not killed;(KJV-1611) 2Co 6:9 Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:10 ============ 2Co 6:10 As sorrowful, yet alway rejoicing; as poor, yet making many rich; as having nothing, and yet possessing all things.(KJV-1611) 2Co 6:10 Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:11 ============ 2Co 6:11 O ye Corinthians, our mouth is open unto you, our heart is enlarged.(KJV-1611) 2Co 6:11 Zanmi m' yo, moun Korent, mwen pale kare avè nou, mwen louvri tout kè m' ban nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:12 ============ 2Co 6:12 Ye are not straitened in us, but ye are straitened in your own bowels.(KJV-1611) 2Co 6:12 Se pa mwen ki te fèmen kè m' ban nou, se nou menm ki te fèmen kè nou ban mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:13 ============ 2Co 6:13 Now for a recompence in the same, (I speak as unto my children,) be ye also enlarged.(KJV-1611) 2Co 6:13 Se poutèt sa, m'ap pale avè nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kè nou ban mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:14 ============ 2Co 6:14 Be ye not unequally yoked together with unbelievers: for what fellowship hath righteousness with unrighteousness? and what communion hath light with darkness?(KJV-1611) 2Co 6:14 Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:15 ============ 2Co 6:15 And what concord hath Christ with Belial? or what part hath he that believeth with an infidel?(KJV-1611) 2Co 6:15 Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:16 ============ 2Co 6:16 And what agreement hath the temple of God with idols? for ye are the temple of the living God; as God hath said, I will dwell in them, and walk in them; and I will be their God, and they shall be my people.(KJV-1611) 2Co 6:16 Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:17 ============ 2Co 6:17 Wherefore come out from among them, and be ye separate, saith the Lord, and touch not the unclean thing; and I will receive you.(KJV-1611) 2Co 6:17 Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 6:18 ============ 2Co 6:18 And will be a Father unto you, and ye shall be my sons and daughters, saith the Lord Almighty.(KJV-1611) 2Co 6:18 M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m' ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:1 ============ 2Co 7:1 Having therefore these promises, dearly beloved, let us cleanse ourselves from all filthiness of the flesh and spirit, perfecting holiness in the fear of God.(KJV-1611) 2Co 7:1 Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n' sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:2 ============ 2Co 7:2 Receive us; we have wronged no man, we have corrupted no man, we have defrauded no man.(KJV-1611) 2Co 7:2 Tanpri, ban m' yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen). Mwen pa fè pesonn okenn mal, pesonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pesonn pa ka di mwen pwofite sou yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:3 ============ 2Co 7:3 I speak not this to condemn you: for I have said before, that ye are in our hearts to die and live with you.(KJV-1611) 2Co 7:3 Mwen pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:4 ============ 2Co 7:4 Great is my boldness of speech toward you, great is my glorying of you: I am filled with comfort, I am exceeding joyful in all our tribulation.(KJV-1611) 2Co 7:4 Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:5 ============ 2Co 7:5 For, when we were come into Macedonia, our flesh had no rest, but we were troubled on every side; without were fightings, within were fears.(KJV-1611) 2Co 7:5 Se konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedwan, kè m' pa t' poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:6 ============ 2Co 7:6 Nevertheless God, that comforteth those that are cast down, comforted us by the coming of Titus;(KJV-1611) 2Co 7:6 Men, Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj te ban m' kouraj lè l' te voye Tit vin jwenn mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:7 ============ 2Co 7:7 And not by his coming only, but by the consolation wherewith he was comforted in you, when he told us your earnest desire, your mourning, your fervent mind toward me; so that I rejoiced the more.(KJV-1611) 2Co 7:7 Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:8 ============ 2Co 7:8 For though I made you sorry with a letter, I do not repent, though I did repent: for I perceive that the same epistle hath made you sorry, though it were but for a season.(KJV-1611) 2Co 7:8 Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa règrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l' lè m' te wè jan l' te fè nou lapenn lè sa a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:9 ============ 2Co 7:9 Now I rejoice, not that ye were made sorry, but that ye sorrowed to repentance: for ye were made sorry after a godly manner, that ye might receive damage by us in nothing.(KJV-1611) 2Co 7:9 Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:10 ============ 2Co 7:10 For godly sorrow worketh repentance to salvation not to be repented of: but the sorrow of the world worketh death.(KJV-1611) 2Co 7:10 Paske, lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l' la, sa chanje kè li pou l' ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n' règrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l' la, se touye l'ap touye nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:11 ============ 2Co 7:11 For behold this selfsame thing, that ye sorrowed after a godly sort, what carefulness it wrought in you, yea, what clearing of yourselves, yea, what indignation, yea, what fear, yea, what vehement desire, yea, what zeal, yea, what revenge! In all things ye have approved yourselves to be clear in this matter.(KJV-1611) 2Co 7:11 Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:12 ============ 2Co 7:12 Wherefore, though I wrote unto you, I did it not for his cause that had done the wrong, nor for his cause that suffered wrong, but that our care for you in the sight of God might appear unto you.(KJV-1611) 2Co 7:12 Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutèt sa, sa te ban m' anpil ankourajman.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:13 ============ 2Co 7:13 Therefore we were comforted in your comfort: yea, and exceedingly the more joyed we for the joy of Titus, because his spirit was refreshed by you all.(KJV-1611) 2Co 7:13 Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m' wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:14 ============ 2Co 7:14 For if I have boasted any thing to him of you, I am not ashamed; but as we spake all things to you in truth, even so our boasting, which I made before Titus, is found a truth.(KJV-1611) 2Co 7:14 Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m' wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:15 ============ 2Co 7:15 And his inward affection is more abundant toward you, whilst he remembereth the obedience of you all, how with fear and trembling ye received him.(KJV-1611) 2Co 7:15 Koulye a, li vin renmen nou plis toujou lè l' chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l' avèk krentif sitèlman nou t'ap tranble.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 7:16 ============ 2Co 7:16 I rejoice therefore that I have confidence in you in all things.(KJV-1611) 2Co 7:16 Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:1 ============ 2Co 8:1 Moreover, brethren, we do you to wit of the grace of God bestowed on the churches of Macedonia;(KJV-1611) 2Co 8:1 Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:2 ============ 2Co 8:2 How that in a great trial of affliction the abundance of their joy and their deep poverty abounded unto the riches of their liberality.(KJV-1611) 2Co 8:2 Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:3 ============ 2Co 8:3 For to their power, I bear record, yea, and beyond their power they were willing of themselves;(KJV-1611) 2Co 8:3 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:4 ============ 2Co 8:4 Praying us with much intreaty that we would receive the gift, and take upon us the fellowship of the ministering to the saints.(KJV-1611) 2Co 8:4 se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:5 ============ 2Co 8:5 And this they did, not as we hoped, but first gave their own selves to the Lord, and unto us by the will of God.(KJV-1611) 2Co 8:5 Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:6 ============ 2Co 8:6 Insomuch that we desired Titus, that as he had begun, so he would also finish in you the same grace also.(KJV-1611) 2Co 8:6 Se konsa, mwen mande Tit pou li al lakay nou pou l' ka kontinye travay li te kòmanse a, pou nou ka bay sa nou gen pou n' bay la ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:7 ============ 2Co 8:7 Therefore, as ye abound in every thing, in faith, and utterance, and knowledge, and in all diligence, and in your love to us, see that ye abound in this grace also.(KJV-1611) 2Co 8:7 Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:8 ============ 2Co 8:8 I speak not by commandment, but by occasion of the forwardness of others, and to prove the sincerity of your love.(KJV-1611) 2Co 8:8 Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:9 ============ 2Co 8:9 For ye know the grace of our Lord Jesus Christ, that, though he was rich, yet for your sakes he became poor, that ye through his poverty might be rich.(KJV-1611) 2Co 8:9 Nou konnen ki favè Jezikri, Seyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l' fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:10 ============ 2Co 8:10 And herein I give my advice: for this is expedient for you, who have begun before, not only to do, but also to be forward a year ago.(KJV-1611) 2Co 8:10 Men lide mwen fè sou keksyon sa a. Depi lanne pase anwo, se nou menm an premye ki te fè lide ede frè yo. Se nou menm an premye ki te kòmanse ranmase lajan pou sa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:11 ============ 2Co 8:11 Now therefore perform the doing of it; that as there was a readiness to will, so there may be a performance also out of that which ye have.(KJV-1611) 2Co 8:11 Koulye a, se pou n' kontinye fin fè jès la nèt. Menm jan nou te mete tout kè nou lè nou t'ap pran desizyon fè l' la, mete tout kè nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:12 ============ 2Co 8:12 For if there be first a willing mind, it is accepted according to that a man hath, and not according to that he hath not.(KJV-1611) 2Co 8:12 Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:13 ============ 2Co 8:13 For I mean not that other men be eased, and ye burdened:(KJV-1611) 2Co 8:13 Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:14 ============ 2Co 8:14 But by an equality, that now at this time your abundance may be a supply for their want, that their abundance also may be a supply for your want: that there may be equality:(KJV-1611) 2Co 8:14 Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:15 ============ 2Co 8:15 As it is written, He that had gathered much had nothing over; and he that had gathered little had no lack.(KJV-1611) 2Co 8:15 dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:16 ============ 2Co 8:16 But thanks be to God, which put the same earnest care into the heart of Titus for you.(KJV-1611) 2Co 8:16 Ann di Bondye mèsi, li menm ki fè Tit devwe pou nou, menm jan avè mwen!(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:17 ============ 2Co 8:17 For indeed he accepted the exhortation; but being more forward, of his own accord he went unto you.(KJV-1611) 2Co 8:17 Tit te asepte fè sa m' te mande l' fè a. Men, li te sitèlman prese vin ede nou, se li menm menm ki pran desizyon ale lakay nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:18 ============ 2Co 8:18 And we have sent with him the brother, whose praise is in the gospel throughout all the churches;(KJV-1611) 2Co 8:18 Nou voye yon frè avè li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frè sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:19 ============ 2Co 8:19 And not that only, but who was also chosen of the churches to travel with us with this grace, which is administered by us to the glory of the same Lord, and declaration of your ready mind:(KJV-1611) 2Co 8:19 Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:20 ============ 2Co 8:20 Avoiding this, that no man should blame us in this abundance which is administered by us:(KJV-1611) 2Co 8:20 Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwòch pou yo fè nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:21 ============ 2Co 8:21 Providing for honest things, not only in the sight of the Lord, but also in the sight of men.(KJV-1611) 2Co 8:21 N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:22 ============ 2Co 8:22 And we have sent with them our brother, whom we have oftentimes proved diligent in many things, but now much more diligent, upon the great confidence which I have in you.(KJV-1611) 2Co 8:22 N'ap voye yon lòt nan frè nou yo ak yo tou. Nou te swiv frè sa a anpil, li toujou moutre anpil devouman nan sèvis la. Men, koulye a li gen plis devouman toujou pou jan li fè nou konfyans anpil.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:23 ============ 2Co 8:23 Whether any do enquire of Titus, he is my partner and fellowhelper concerning you: or our brethren be enquired of, they are the messengers of the churches, and the glory of Christ.(KJV-1611) 2Co 8:23 Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 8:24 ============ 2Co 8:24 Wherefore shew ye to them, and before the churches, the proof of your love, and of our boasting on your behalf.(KJV-1611) 2Co 8:24 Fè yo wè jan nou renmen yo, pou legliz yo ka sèten nou renmen yo, pou yo ka konnen mwen gen rezòn pale byen pou nou konsa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:1 ============ 2Co 9:1 For as touching the ministering to the saints, it is superfluous for me to write to you:(KJV-1611) 2Co 9:1 Mwen pa wè rezòn pou m' voye di nou anyen sou keksyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:2 ============ 2Co 9:2 For I know the forwardness of your mind, for which I boast of you to them of Macedonia, that Achaia was ready a year ago; and your zeal hath provoked very many.(KJV-1611) 2Co 9:2 Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:3 ============ 2Co 9:3 Yet have I sent the brethren, lest our boasting of you should be in vain in this behalf; that, as I said, ye may be ready:(KJV-1611) 2Co 9:3 Malgre sa, m'ap voye frè sa yo bò kote nou pou bèl pawòl mwen te di pou nou sou zafè sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wè nou pare vre, jan mwen te di l' la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:4 ============ 2Co 9:4 Lest haply if they of Macedonia come with me, and find you unprepared, we (that we say not, ye) should be ashamed in this same confident boasting.(KJV-1611) 2Co 9:4 Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avè m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont!(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:5 ============ 2Co 9:5 Therefore I thought it necessary to exhort the brethren, that they would go before unto you, and make up beforehand your bounty, whereof ye had notice before, that the same might be ready, as a matter of bounty, and not as of covetousness.(KJV-1611) 2Co 9:5 Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:6 ============ 2Co 9:6 But this I say, He which soweth sparingly shall reap also sparingly; and he which soweth bountifully shall reap also bountifully.(KJV-1611) 2Co 9:6 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:7 ============ 2Co 9:7 Every man according as he purposeth in his heart, so let him give; not grudgingly, or of necessity: for God loveth a cheerful giver.(KJV-1611) 2Co 9:7 Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:8 ============ 2Co 9:8 And God is able to make all grace abound toward you; that ye, always having all sufficiency in all things, may abound to every good work:(KJV-1611) 2Co 9:8 Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:9 ============ 2Co 9:9 (As it is written, He hath dispersed abroad; he hath given to the poor: his righteousness remaineth for ever.(KJV-1611) 2Co 9:9 Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:10 ============ 2Co 9:10 Now he that ministereth seed to the sower both minister bread for your food, and multiply your seed sown, and increase the fruits of your righteousness;)(KJV-1611) 2Co 9:10 Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:11 ============ 2Co 9:11 Being enriched in every thing to all bountifulness, which causeth through us thanksgiving to God.(KJV-1611) 2Co 9:11 Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:12 ============ 2Co 9:12 For the administration of this service not only supplieth the want of the saints, but is abundant also by many thanksgivings unto God;(KJV-1611) 2Co 9:12 Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l' mèsi.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:13 ============ 2Co 9:13 Whiles by the experiment of this ministration they glorify God for your professed subjection unto the gospel of Christ, and for your liberal distribution unto them, and unto all men;(KJV-1611) 2Co 9:13 Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:14 ============ 2Co 9:14 And by their prayer for you, which long after you for the exceeding grace of God in you.(KJV-1611) 2Co 9:14 Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 9:15 ============ 2Co 9:15 Thanks be unto God for his unspeakable gift.(KJV-1611) 2Co 9:15 Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:1 ============ 2Co 10:1 Now I Paul myself beseech you by the meekness and gentleness of Christ, who in presence am base among you, but being absent am bold toward you:(KJV-1611) 2Co 10:1 Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:2 ============ 2Co 10:2 But I beseech you, that I may not be bold when I am present with that confidence, wherewith I think to be bold against some, which think of us as if we walked according to the flesh.(KJV-1611) 2Co 10:2 Tanpri, pa fòse m' moutre nou jan mwen ka sevè lè m'a rive lakay nou. Paske mwen sèten m'a ka moutre m' sevè annegad moun ki konprann m'ap aji dapre bon konprann lèzòm.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:3 ============ 2Co 10:3 For though we walk in the flesh, we do not war after the flesh:(KJV-1611) 2Co 10:3 M'ap viv koulye a nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:4 ============ 2Co 10:4 (For the weapons of our warfare are not carnal, but mighty through God to the pulling down of strong holds;)(KJV-1611) 2Co 10:4 Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:5 ============ 2Co 10:5 Casting down imaginations, and every high thing that exalteth itself against the knowledge of God, and bringing into captivity every thought to the obedience of Christ;(KJV-1611) 2Co 10:5 m'ap kraze tou sa lèzòm nan lògèy yo ap fè pou anpeche moun konnen Bondye. M'ap mare tout vye lide ki nan tèt lèzòm yo, m'ap fè yo vin obeyi Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:6 ============ 2Co 10:6 And having in a readiness to revenge all disobedience, when your obedience is fulfilled.(KJV-1611) 2Co 10:6 Mwen pare pou m' pini tout moun ki va dezobeyi. Men, anvan sa, se pou nou moutre m' jan nou soti pou nou soumèt nou nèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:7 ============ 2Co 10:7 Do ye look on things after the outward appearance? If any man trust to himself that he is Christ's, let him of himself think this again, that, as he is Christ's, even so are we Christ's.(KJV-1611) 2Co 10:7 Nou menm, moun Korent, n'ap gade sou laparans. Enben, si yon moun mete nan tèt li se moun Kris la li ye, se pou l' mete sa nan tèt li tou, mwen menm tou mwen se moun Kris la mwen ye menm jan avè li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:8 ============ 2Co 10:8 For though I should boast somewhat more of our authority, which the Lord hath given us for edification, and not for your destruction, I should not be ashamed:(KJV-1611) 2Co 10:8 Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:9 ============ 2Co 10:9 That I may not seem as if I would terrify you by letters.(KJV-1611) 2Co 10:9 Mwen pa ta vle nou konprann m'ap chache kraponnen nou lè m'ap ekri nou konsa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:10 ============ 2Co 10:10 For his letters, say they, are weighty and powerful; but his bodily presence is weak, and his speech contemptible.(KJV-1611) 2Co 10:10 Gen moun ki di: Lè Pòl ap ekri nou, li rèd konsa, li sevè. Men, lè li la nan mitan nou li tou dou. Ata pale li pa ka pale.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:11 ============ 2Co 10:11 Let such an one think this, that, such as we are in word by letters when we are absent, such will we be also in deed when we are present.(KJV-1611) 2Co 10:11 Enben, moun ki di sa a, li mèt mete sa nan tèt li: Pa gen diferans ant sa m'ap ekri nan lèt mwen voye ban nou lè mwen pa la ak sa mwen pral fè lè m'a la nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:12 ============ 2Co 10:12 For we dare not make ourselves of the number, or compare ourselves with some that commend themselves: but they measuring themselves by themselves, and comparing themselves among themselves, are not wise.(KJV-1611) 2Co 10:12 Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m' mete m' sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo non plis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:13 ============ 2Co 10:13 But we will not boast of things without our measure, but according to the measure of the rule which God hath distributed to us, a measure to reach even unto you.(KJV-1611) 2Co 10:13 Men, pou mwen menm, mwen p'ap vantè tèt mwen depase limit. M'ap rete nan limit travay Bondye ban mwen an. Nou menm, moun Korent, nou nan limit travay mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:14 ============ 2Co 10:14 For we stretch not ourselves beyond our measure, as though we reached not unto you: for we are come as far as to you also in preaching the gospel of Christ:(KJV-1611) 2Co 10:14 Se sak fè, mwen pa t' depase limit mwen lè m' te rive lakay nou ak bon nouvèl ki pale sou Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:15 ============ 2Co 10:15 Not boasting of things without our measure, that is, of other men's labours; but having hope, when your faith is increased, that we shall be enlarged by you according to our rule abundantly,(KJV-1611) 2Co 10:15 Konsa, nou wè, mwen pa depase limit Bondye ban mwen. Mwen p'ap fè grandizè pou travay lòt moun te deja fè. Okontrè, mwen gen espwa n'a grandi nan konfyans, pou m' ka fè yon pi gwo travay ankò nan mitan nou, toujou nan limit Bondye ban mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:16 ============ 2Co 10:16 To preach the gospel in the regions beyond you, and not to boast in another man's line of things made ready to our hand.(KJV-1611) 2Co 10:16 Apre sa, m'a kapab al anonse bon nouvèl la nan peyi ki pi lwen pase lakay nou, san m' p'ap bezwen fè grandizè pou travay lòt moun deja fè nan limit pa yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:17 ============ 2Co 10:17 But he that glorieth, let him glory in the Lord.(KJV-1611) 2Co 10:17 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l' fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 10:18 ============ 2Co 10:18 For not he that commendeth himself is approved, but whom the Lord commendeth.(KJV-1611) 2Co 10:18 Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyè a rekòmande ki bon pou travay la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:1 ============ 2Co 11:1 Would to God ye could bear with me a little in my folly: and indeed bear with me.(KJV-1611) 2Co 11:1 Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m' pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:2 ============ 2Co 11:2 For I am jealous over you with godly jealousy: for I have espoused you to one husband, that I may present you as a chaste virgin to Christ.(KJV-1611) 2Co 11:2 M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:3 ============ 2Co 11:3 But I fear, lest by any means, as the serpent beguiled Eve through his subtilty, so your minds should be corrupted from the simplicity that is in Christ.(KJV-1611) 2Co 11:3 Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:4 ============ 2Co 11:4 For if he that cometh preacheth another Jesus, whom we have not preached, or if ye receive another spirit, which ye have not received, or another gospel, which ye have not accepted, ye might well bear with him.(KJV-1611) 2Co 11:4 Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n' asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:5 ============ 2Co 11:5 For I suppose I was not a whit behind the very chiefest apostles.(KJV-1611) 2Co 11:5 Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:6 ============ 2Co 11:6 But though I be rude in speech, yet not in knowledge; but we have been throughly made manifest among you in all things.(KJV-1611) 2Co 11:6 Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:7 ============ 2Co 11:7 Have I committed an offence in abasing myself that ye might be exalted, because I have preached to you the gospel of God freely?(KJV-1611) 2Co 11:7 Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:8 ============ 2Co 11:8 I robbed other churches, taking wages of them, to do you service.(KJV-1611) 2Co 11:8 Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:9 ============ 2Co 11:9 And when I was present with you, and wanted, I was chargeable to no man: for that which was lacking to me the brethren which came from Macedonia supplied: and in all things I have kept myself from being burdensome unto you, and so will I keep myself.(KJV-1611) 2Co 11:9 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lè m' te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:10 ============ 2Co 11:10 As the truth of Christ is in me, no man shall stop me of this boasting in the regions of Achaia.(KJV-1611) 2Co 11:10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m'ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m' vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p'ap kapab wete l' nan men mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:11 ============ 2Co 11:11 Wherefore? because I love you not? God knoweth.(KJV-1611) 2Co 11:11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:12 ============ 2Co 11:12 But what I do, that I will do, that I may cut off occasion from them which desire occasion; that wherein they glory, they may be found even as we.(KJV-1611) 2Co 11:12 Men, m'ap toujou aji jan m'ap aji koulye a, pou m' pa bay moun k'ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:13 ============ 2Co 11:13 For such are false apostles, deceitful workers, transforming themselves into the apostles of Christ.(KJV-1611) 2Co 11:13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:14 ============ 2Co 11:14 And no marvel; for Satan himself is transformed into an angel of light.(KJV-1611) 2Co 11:14 Pa gen anyen la a ki pou fè n' sezi: ata Satan ka ranje kò l' pou l' pran pòz yon zanj limyè.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:15 ============ 2Co 11:15 Therefore it is no great thing if his ministers also be transformed as the ministers of righteousness; whose end shall be according to their works.(KJV-1611) 2Co 11:15 Si moun k'ap sèvi Satan yo pran pòz moun k'ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y'a jwenn sa y'ap chache a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:16 ============ 2Co 11:16 I say again, Let no man think me a fool; if otherwise, yet as a fool receive me, that I may boast myself a little.(KJV-1611) 2Co 11:16 M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pòz moun fou m' vre pou m' kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:17 ============ 2Co 11:17 That which I speak, I speak it not after the Lord, but as it were foolishly, in this confidence of boasting.(KJV-1611) 2Co 11:17 Sa m'ap di koulye a, se pa sa menm Seyè a ta renmen m' di. Men, nan pozisyon yo mete m' ki fè m' ka vante tèt mwen an, m'ap pale tankou si m' te fou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:18 ============ 2Co 11:18 Seeing that many glory after the flesh, I will glory also.(KJV-1611) 2Co 11:18 Sitèlman gen moun k'ap vante tèt yo pou bagay y'ap fè sou latè, kite m' vante tèt mwen tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:19 ============ 2Co 11:19 For ye suffer fools gladly, seeing ye yourselves are wise.(KJV-1611) 2Co 11:19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:20 ============ 2Co 11:20 For ye suffer, if a man bring you into bondage, if a man devour you, if a man take of you, if a man exalt himself, if a man smite you on the face.(KJV-1611) 2Co 11:20 Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:21 ============ 2Co 11:21 I speak as concerning reproach, as though we had been weak. Howbeit whereinsoever any is bold, (I speak foolishly,) I am bold also.(KJV-1611) 2Co 11:21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m' te aji jan m' te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m'ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m'ap pèmèt mwen fè sa tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:22 ============ 2Co 11:22 Are they Hebrews? so am I. Are they Israelites? so am I. Are they the seed of Abraham? so am I.(KJV-1611) 2Co 11:22 Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:23 ============ 2Co 11:23 Are they ministers of Christ? (I speak as a fool) I am more; in labours more abundant, in stripes above measure, in prisons more frequent, in deaths oft.(KJV-1611) 2Co 11:23 Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:24 ============ 2Co 11:24 Of the Jews five times received I forty stripes save one.(KJV-1611) 2Co 11:24 An senk fwa, jwif yo ban m' trant nèf kout fwèt.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:25 ============ 2Co 11:25 Thrice was I beaten with rods, once was I stoned, thrice I suffered shipwreck, a night and a day I have been in the deep;(KJV-1611) 2Co 11:25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m' wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m' twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:26 ============ 2Co 11:26 In journeyings often, in perils of waters, in perils of robbers, in perils by mine own countrymen, in perils by the heathen, in perils in the city, in perils in the wilderness, in perils in the sea, in perils among false brethren;(KJV-1611) 2Co 11:26 Anpil fwa menm, lè m'ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m' ale. Bandi manke touye m', jwif yo manke touye m' tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m' tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:27 ============ 2Co 11:27 In weariness and painfulness, in watchings often, in hunger and thirst, in fastings often, in cold and nakedness.(KJV-1611) 2Co 11:27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:28 ============ 2Co 11:28 Beside those things that are without, that which cometh upon me daily, the care of all the churches.(KJV-1611) 2Co 11:28 San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m' regle pou tout legliz yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:29 ============ 2Co 11:29 Who is weak, and I am not weak? who is offended, and I burn not?(KJV-1611) 2Co 11:29 Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:30 ============ 2Co 11:30 If I must needs glory, I will glory of the things which concern mine infirmities.(KJV-1611) 2Co 11:30 Si se pou m' vante tèt mwen, m'a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m' fèb.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:31 ============ 2Co 11:31 The God and Father of our Lord Jesus Christ, which is blessed for evermore, knoweth that I lie not.(KJV-1611) 2Co 11:31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:32 ============ 2Co 11:32 In Damascus the governor under Aretas the king kept the city of the Damascenes with a garrison, desirous to apprehend me:(KJV-1611) 2Co 11:32 Lè m' te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m'.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 11:33 ============ 2Co 11:33 And through a window in a basket was I let down by the wall, and escaped his hands.(KJV-1611) 2Co 11:33 Men frè yo fè m' pase nan yon fennèt nan gwo miray lavil la. Yo file m' desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kò m' anba men li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:1 ============ 2Co 12:1 It is not expedient for me doubtless to glory. I will come to visions and revelations of the Lord.(KJV-1611) 2Co 12:1 Mwen blije ap vante tèt mwen, atout mwen konnen sa pa bon. Men, m'ap vin koulye a sou vizyon ak revelasyon Seyè a te ban mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:2 ============ 2Co 12:2 I knew a man in Christ above fourteen years ago, (whether in the body, I cannot tell; or whether out of the body, I cannot tell: God knoweth;) such an one caught up to the third heaven.(KJV-1611) 2Co 12:2 Mwen konnen yon moun k'ap viv nan Kris la, ki te transpòte jouk anwo nèt nan syèl la. Sa gen katòzan depase. (Mwen pa konn ki jan sa te fè fèt, mwen pa ka di si l' te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.)(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:3 ============ 2Co 12:3 And I knew such a man, (whether in the body, or out of the body, I cannot tell: God knoweth;)(KJV-1611) 2Co 12:3 Wi, mwen konnen nonm sa a te santi l' moute jouk anwo nan paradi. M'ap repete, mwen pa ka di si li te moute tout bon nan kò l', osinon si se te yon vizyon li te fè. Se Bondye sèl ki konnen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:4 ============ 2Co 12:4 How that he was caught up into paradise, and heard unspeakable words, which it is not lawful for a man to utter.(KJV-1611) 2Co 12:4 Antan l' te la, li tande yon bann pawòl bouch moun pa ka pale, koze moun pa gen dwa repete.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:5 ============ 2Co 12:5 Of such an one will I glory: yet of myself I will not glory, but in mine infirmities.(KJV-1611) 2Co 12:5 Enben, m'ap fè lwanj nonm sa a, mwen p'ap fè lwanj tèt pa m', esepte si se pou m' moutre jan m' fèb.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:6 ============ 2Co 12:6 For though I would desire to glory, I shall not be a fool; for I will say the truth: but now I forbear, lest any man should think of me above that which he seeth me to be, or that he heareth of me.(KJV-1611) 2Co 12:6 Si mwen te vle vante tèt mwen, mwen pa ta yon nonm fou non, paske mwen pa t'ap bay manti. Men, mwen refize vante tèt mwen. Mwen pa ta vle pou yon moun rive konprann mwen plis pase sa li te met nan tèt li mwen ye, lè l' te wè sa m'ap fè, lè l' tande sa m'ap di.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:7 ============ 2Co 12:7 And lest I should be exalted above measure through the abundance of the revelations, there was given to me a thorn in the flesh, the messenger of Satan to buffet me, lest I should be exalted above measure.(KJV-1611) 2Co 12:7 Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:8 ============ 2Co 12:8 For this thing I besought the Lord thrice, that it might depart from me.(KJV-1611) 2Co 12:8 An twa fwa mwen lapriyè Seyè a pou maladi sa a, mwen mande l' pou l' wete li sou mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:9 ============ 2Co 12:9 And he said unto me, My grace is sufficient for thee: for my strength is made perfect in weakness. Most gladly therefore will I rather glory in my infirmities, that the power of Christ may rest upon me.(KJV-1611) 2Co 12:9 Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:10 ============ 2Co 12:10 Therefore I take pleasure in infirmities, in reproaches, in necessities, in persecutions, in distresses for Christ's sake: for when I am weak, then am I strong.(KJV-1611) 2Co 12:10 Se sak fè tou mwen kontan anpil lè m' santi m' fèb, lè y'ap joure m', lè m' nan lafliksyon, lè m' anba pèseksyon, lè m' nan fikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m' fèb, se lè sa a mwen gen fòs.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:11 ============ 2Co 12:11 I am become a fool in glorying; ye have compelled me: for I ought to have been commended of you: for in nothing am I behind the very chiefest apostles, though I be nothing.(KJV-1611) 2Co 12:11 Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:12 ============ 2Co 12:12 Truly the signs of an apostle were wrought among you in all patience, in signs, and wonders, and mighty deeds.(KJV-1611) 2Co 12:12 Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:13 ============ 2Co 12:13 For what is it wherein ye were inferior to other churches, except it be that I myself was not burdensome to you? forgive me this wrong.(KJV-1611) 2Co 12:13 Mwen pa t' sou kont nou, se vre. Mwen mande nou padon pou fòt sa a. Men, apa sa, kisa yo fè pou lòt legliz yo yo pa fè pou nou?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:14 ============ 2Co 12:14 Behold, the third time I am ready to come to you; and I will not be burdensome to you: for I seek not your's but you: for the children ought not to lay up for the parents, but the parents for the children.(KJV-1611) 2Co 12:14 Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:15 ============ 2Co 12:15 And I will very gladly spend and be spent for you; though the more abundantly I love you, the less I be loved.(KJV-1611) 2Co 12:15 Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:16 ============ 2Co 12:16 But be it so, I did not burden you: nevertheless, being crafty, I caught you with guile.(KJV-1611) 2Co 12:16 Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:17 ============ 2Co 12:17 Did I make a gain of you by any of them whom I sent unto you?(KJV-1611) 2Co 12:17 Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:18 ============ 2Co 12:18 I desired Titus, and with him I sent a brother. Did Titus make a gain of you? walked we not in the same spirit? walked we not in the same steps?(KJV-1611) 2Co 12:18 Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:19 ============ 2Co 12:19 Again, think ye that we excuse ourselves unto you? we speak before God in Christ: but we do all things, dearly beloved, for your edifying.(KJV-1611) 2Co 12:19 Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:20 ============ 2Co 12:20 For I fear, lest, when I come, I shall not find you such as I would, and that I shall be found unto you such as ye would not: lest there be debates, envyings, wraths, strifes, backbitings, whisperings, swellings, tumults:(KJV-1611) 2Co 12:20 Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, mwen pa jwenn nou jan mwen ta vle l' la. Mwen pè pou m' pa jwenn kont, jalouzi, bouyay, rayisab, joure, tripotaj, lògèy, dezòd nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 12:21 ============ 2Co 12:21 And lest, when I come again, my God will humble me among you, and that I shall bewail many which have sinned already, and have not repented of the uncleanness and fornication and lasciviousness which they have committed.(KJV-1611) 2Co 12:21 Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:1 ============ 2Co 13:1 This is the third time I am coming to you. In the mouth of two or three witnesses shall every word be established.(KJV-1611) 2Co 13:1 M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:2 ============ 2Co 13:2 I told you before, and foretell you, as if I were present, the second time; and being absent now I write to them which heretofore have sinned, and to all other, that, if I come again, I will not spare:(KJV-1611) 2Co 13:2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:3 ============ 2Co 13:3 Since ye seek a proof of Christ speaking in me, which to you-ward is not weak, but is mighty in you.(KJV-1611) 2Co 13:3 Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:4 ============ 2Co 13:4 For though he was crucified through weakness, yet he liveth by the power of God. For we also are weak in him, but we shall live with him by the power of God toward you.(KJV-1611) 2Co 13:4 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:5 ============ 2Co 13:5 Examine yourselves, whether ye be in the faith; prove your own selves. Know ye not your own selves, how that Jesus Christ is in you, except ye be reprobates?(KJV-1611) 2Co 13:5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:6 ============ 2Co 13:6 But I trust that ye shall know that we are not reprobates.(KJV-1611) 2Co 13:6 Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:7 ============ 2Co 13:7 Now I pray to God that ye do no evil; not that we should appear approved, but that ye should do that which is honest, though we be as reprobates.(KJV-1611) 2Co 13:7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:8 ============ 2Co 13:8 For we can do nothing against the truth, but for the truth.(KJV-1611) 2Co 13:8 Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:9 ============ 2Co 13:9 For we are glad, when we are weak, and ye are strong: and this also we wish, even your perfection.(KJV-1611) 2Co 13:9 Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:10 ============ 2Co 13:10 Therefore I write these things being absent, lest being present I should use sharpness, according to the power which the Lord hath given me to edification, and not to destruction.(KJV-1611) 2Co 13:10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:11 ============ 2Co 13:11 Finally, brethren, farewell. Be perfect, be of good comfort, be of one mind, live in peace; and the God of love and peace shall be with you.(KJV-1611) 2Co 13:11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:12 ============ 2Co 13:12 Greet one another with an holy kiss.(KJV-1611) 2Co 13:12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:13 ============ 2Co 13:13 All the saints salute you.(KJV-1611) 2Co 13:13 Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.(Creole-HT) ======= 2 Corinthians 13:14 ============ 2Co 13:14 The grace of the Lord Jesus Christ, and the love of God, and the communion of the Holy Ghost, be with you all. Amen.(KJV-1611) 2Co 13:14 Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.(Creole-HT) ======= Galatians 1:1 ============ Gal 1:1 Paul, an apostle, (not of men, neither by man, but by Jesus Christ, and God the Father, who raised him from the dead;)(KJV-1611) Gal 1:1 Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa t' voye yon moun chwazi m', men se Jezikri menm ki te chwazi m' pou sèvi apòt, ansanm ak Bondye Papa a ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Galatians 1:2 ============ Gal 1:2 And all the brethren which are with me, unto the churches of Galatia:(KJV-1611) Gal 1:2 Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m' pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo.(Creole-HT) ======= Galatians 1:3 ============ Gal 1:3 Grace be to you and peace from God the Father, and from our Lord Jesus Christ,(KJV-1611) Gal 1:3 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Galatians 1:4 ============ Gal 1:4 Who gave himself for our sins, that he might deliver us from this present evil world, according to the will of God and our Father:(KJV-1611) Gal 1:4 Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l' te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a.(Creole-HT) ======= Galatians 1:5 ============ Gal 1:5 To whom be glory for ever and ever. Amen.(KJV-1611) Gal 1:5 Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.(Creole-HT) ======= Galatians 1:6 ============ Gal 1:6 I marvel that ye are so soon removed from him that called you into the grace of Christ unto another gospel:(KJV-1611) Gal 1:6 Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' al swiv yon lòt kalite bon nouvèl.(Creole-HT) ======= Galatians 1:7 ============ Gal 1:7 Which is not another; but there be some that trouble you, and would pervert the gospel of Christ.(KJV-1611) Gal 1:7 Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.(Creole-HT) ======= Galatians 1:8 ============ Gal 1:8 But though we, or an angel from heaven, preach any other gospel unto you than that which we have preached unto you, let him be accursed.(KJV-1611) Gal 1:8 Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li!(Creole-HT) ======= Galatians 1:9 ============ Gal 1:9 As we said before, so say I now again, if any man preach any other gospel unto you than that ye have received, let him be accursed.(KJV-1611) Gal 1:9 Mwen deja di nou sa, koulye a m'ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!(Creole-HT) ======= Galatians 1:10 ============ Gal 1:10 For do I now persuade men, or God? or do I seek to please men? for if I yet pleased men, I should not be the servant of Christ.(KJV-1611) Gal 1:10 Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m' t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.(Creole-HT) ======= Galatians 1:11 ============ Gal 1:11 But I certify you, brethren, that the gospel which was preached of me is not after man.(KJV-1611) Gal 1:11 M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun.(Creole-HT) ======= Galatians 1:12 ============ Gal 1:12 For I neither received it of man, neither was I taught it, but by the revelation of Jesus Christ.(KJV-1611) Gal 1:12 Paske mwen menm, mwen pa t' resevwa l' nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m' li. Men, se Jezikri menm ki te fè m' konnen li.(Creole-HT) ======= Galatians 1:13 ============ Gal 1:13 For ye have heard of my conversation in time past in the Jews' religion, how that beyond measure I persecuted the church of God, and wasted it:(KJV-1611) Gal 1:13 Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li.(Creole-HT) ======= Galatians 1:14 ============ Gal 1:14 And profited in the Jews' religion above many my equals in mine own nation, being more exceedingly zealous of the traditions of my fathers.(KJV-1611) Gal 1:14 Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Galatians 1:15 ============ Gal 1:15 But when it pleased God, who separated me from my mother's womb, and called me by his grace,(KJV-1611) Gal 1:15 Men, Bondye fè m' favè l', li mete m' apa depi nan vant manman m', li rele m' pou m' te ka sèvi li.(Creole-HT) ======= Galatians 1:16 ============ Gal 1:16 To reveal his Son in me, that I might preach him among the heathen; immediately I conferred not with flesh and blood:(KJV-1611) Gal 1:16 Konsa, lè se te lide l' pou l' te fè m' konnen Pitit li a, pou m' te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t' al mande pesonn konsèy.(Creole-HT) ======= Galatians 1:17 ============ Gal 1:17 Neither went I up to Jerusalem to them which were apostles before me; but I went into Arabia, and returned again unto Damascus.(KJV-1611) Gal 1:17 Mwen pa t' moute Jerizalèm non plis pou m' al wè moun ki te apòt anvan m' yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m' lavil Damas.(Creole-HT) ======= Galatians 1:18 ============ Gal 1:18 Then after three years I went up to Jerusalem to see Peter, and abode with him fifteen days.(KJV-1611) Gal 1:18 Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m' te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li.(Creole-HT) ======= Galatians 1:19 ============ Gal 1:19 But other of the apostles saw I none, save James the Lord's brother.(KJV-1611) Gal 1:19 Lè sa a, mwen pa t' wè okenn nan lòt apòt yo, esepte Jak, frè Seyè a.(Creole-HT) ======= Galatians 1:20 ============ Gal 1:20 Now the things which I write unto you, behold, before God, I lie not.(KJV-1611) Gal 1:20 Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti.(Creole-HT) ======= Galatians 1:21 ============ Gal 1:21 Afterwards I came into the regions of Syria and Cilicia;(KJV-1611) Gal 1:21 Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi.(Creole-HT) ======= Galatians 1:22 ============ Gal 1:22 And was unknown by face unto the churches of Judaea which were in Christ:(KJV-1611) Gal 1:22 Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pa t' ankò rekonèt mwen.(Creole-HT) ======= Galatians 1:23 ============ Gal 1:23 But they had heard only, That he which persecuted us in times past now preacheth the faith which once he destroyed.(KJV-1611) Gal 1:23 Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pesekite nou nan tan lontan an, koulye a men l'ap mache anonse bon nouvèl li te vle kraze a.(Creole-HT) ======= Galatians 1:24 ============ Gal 1:24 And they glorified God in me.(KJV-1611) Gal 1:24 Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.(Creole-HT) ======= Galatians 2:1 ============ Gal 2:1 Then fourteen years after I went up again to Jerusalem with Barnabas, and took Titus with me also.(KJV-1611) Gal 2:1 Apre sa, katòz lanne te pase anvan m' te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m' tou.(Creole-HT) ======= Galatians 2:2 ============ Gal 2:2 And I went up by revelation, and communicated unto them that gospel which I preach among the Gentiles, but privately to them which were of reputation, lest by any means I should run, or had run, in vain.(KJV-1611) Gal 2:2 Kifè m' te moute a, se paske Bondye te fè m' konnen pou m' te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo bon nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pa t' vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen.(Creole-HT) ======= Galatians 2:3 ============ Gal 2:3 But neither Titus, who was with me, being a Greek, was compelled to be circumcised:(KJV-1611) Gal 2:3 Enben, Tit ki te avè m' lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pa t' egzije l' sikonsi,(Creole-HT) ======= Galatians 2:4 ============ Gal 2:4 And that because of false brethren unawares brought in, who came in privily to spy out our liberty which we have in Christ Jesus, that they might bring us into bondage:(KJV-1611) Gal 2:4 atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kò yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libète nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò.(Creole-HT) ======= Galatians 2:5 ============ Gal 2:5 To whom we gave place by subjection, no, not for an hour; that the truth of the gospel might continue with you.(KJV-1611) Gal 2:5 Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n' te ka defann verite ki nan bon nouvèl la pou nou menm, moun Galasi.(Creole-HT) ======= Galatians 2:6 ============ Gal 2:6 But of these who seemed to be somewhat, (whatsoever they were, it maketh no matter to me: God accepteth no man's person:) for they who seemed to be somewhat in conference added nothing to me:(KJV-1611) Gal 2:6 Moun ki te pase pou chèf yo, mwen pa bezwen konnen sa yo te ye vre, paske Bondye pa gade sou figi moun-wi, moun ki te pase pou chèf yo, yo pa t' fè m' okenn lòt egzijans.(Creole-HT) ======= Galatians 2:7 ============ Gal 2:7 But contrariwise, when they saw that the gospel of the uncircumcision was committed unto me, as the gospel of the circumcision was unto Peter;(KJV-1611) Gal 2:7 Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo.(Creole-HT) ======= Galatians 2:8 ============ Gal 2:8 (For he that wrought effectually in Peter to the apostleship of the circumcision, the same was mighty in me toward the Gentiles:)(KJV-1611) Gal 2:8 Paske, Bondye ki te mete Pyè apa pou sèvi apòt pou jwif yo, se li menm ki te mete m' apa tou pou m' te ka sèvi apòt pou moun ki pa jwif yo.(Creole-HT) ======= Galatians 2:9 ============ Gal 2:9 And when James, Cephas, and John, who seemed to be pillars, perceived the grace that was given unto me, they gave to me and Barnabas the right hands of fellowship; that we should go unto the heathen, and they unto the circumcision.(KJV-1611) Gal 2:9 Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pase pou chèf nan legliz la, yo te rekonèt se Bondye ki te ban m' travay sa a, yo bay Banabas ak mwen lanmen tankou asosye. Nou tonbe dakò pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo, pou yo menm y' al travay ak jwif yo.(Creole-HT) ======= Galatians 2:10 ============ Gal 2:10 Only they would that we should remember the poor; the same which I also was forward to do.(KJV-1611) Gal 2:10 Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fè sa.(Creole-HT) ======= Galatians 2:11 ============ Gal 2:11 But when Peter was come to Antioch, I withstood him to the face, because he was to be blamed.(KJV-1611) Gal 2:11 Men, lè Pyè te vini lavil Antiòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l' te fè a pa t' bon.(Creole-HT) ======= Galatians 2:12 ============ Gal 2:12 For before that certain came from James, he did eat with the Gentiles: but when they were come, he withdrew and separated himself, fearing them which were of the circumcision.(KJV-1611) Gal 2:12 Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo.(Creole-HT) ======= Galatians 2:13 ============ Gal 2:13 And the other Jews dissembled likewise with him; insomuch that Barnabas also was carried away with their dissimulation.(KJV-1611) Gal 2:13 Lòt frè jwif yo te kòmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a.(Creole-HT) ======= Galatians 2:14 ============ Gal 2:14 But when I saw that they walked not uprightly according to the truth of the gospel, I said unto Peter before them all, If thou, being a Jew, livest after the manner of Gentiles, and not as do the Jews, why compellest thou the Gentiles to live as do the Jews?(KJV-1611) Gal 2:14 Lè m' wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan bon nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pa t' viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?(Creole-HT) ======= Galatians 2:15 ============ Gal 2:15 We who are Jews by nature, and not sinners of the Gentiles,(KJV-1611) Gal 2:15 Nou menm, nou se jwif natif natal, nou pa soti nan ras moun lòt nasyon yo k'ap plede fè peche.(Creole-HT) ======= Galatians 2:16 ============ Gal 2:16 Knowing that a man is not justified by the works of the law, but by the faith of Jesus Christ, even we have believed in Jesus Christ, that we might be justified by the faith of Christ, and not by the works of the law: for by the works of the law shall no flesh be justified.(KJV-1611) Gal 2:16 Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l' gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pesonn gras paske li fè sa lalwa mande.(Creole-HT) ======= Galatians 2:17 ============ Gal 2:17 But if, while we seek to be justified by Christ, we ourselves also are found sinners, is therefore Christ the minister of sin? God forbid.(KJV-1611) Gal 2:17 Men, si antan m'ap chache pou Bondye fè m' gras gremesi Kris la, moun wè m'ap fè peche menm jan ak moun lòt nasyon yo, èske sa vle di se nan avantaj peche a Kris la ap travay? Non, yo pa ka di sa.(Creole-HT) ======= Galatians 2:18 ============ Gal 2:18 For if I build again the things which I destroyed, I make myself a transgressor.(KJV-1611) Gal 2:18 Paske, si m'ap rebati sa m' te kraze a, mwen tou moutre se dezobeyi m'ap dezobeyi lalwa.(Creole-HT) ======= Galatians 2:19 ============ Gal 2:19 For I through the law am dead to the law, that I might live unto God.(KJV-1611) Gal 2:19 Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a.(Creole-HT) ======= Galatians 2:20 ============ Gal 2:20 I am crucified with Christ: neverthless I live; yet not I, but Christ liveth in me: and the life which I now live in the flesh I live by the faith of the Son of God, who loved me, and gave himself for me.(KJV-1611) Gal 2:20 Se sak fè, se pa mwen k'ap viv ankò, se Kris la k'ap viv nan mwen: lavi m'ap mennen nan kò m' koulye a, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki te renmen m' sitèlman li te rive bay lavi l' pou mwen.(Creole-HT) ======= Galatians 2:21 ============ Gal 2:21 I do not frustrate the grace of God: for if righteousness come by the law, then Christ is dead in vain.(KJV-1611) Gal 2:21 Mwen pa voye favè Bondye fè m' lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.(Creole-HT) ======= Galatians 3:1 ============ Gal 3:1 O foolish Galatians, who hath bewitched you, that ye should not obey the truth, before whose eyes Jesus Christ hath been evidently set forth, crucified among you?(KJV-1611) Gal 3:1 Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?(Creole-HT) ======= Galatians 3:2 ============ Gal 3:2 This only would I learn of you, Received ye the Spirit by the works of the law, or by the hearing of faith?(KJV-1611) Gal 3:2 Mwen ta renmen nou reponn yon sèl ti keksyon sa a ban mwen: Eske se paske nou te fè tou sa lalwa a te mande kifè nou te resevwa Lespri Bondye a, osinon èske se paske nou te tande bon nouvèl la?(Creole-HT) ======= Galatians 3:3 ============ Gal 3:3 Are ye so foolish? having begun in the Spirit, are ye now made perfect by the flesh?(KJV-1611) Gal 3:3 Ki jan nou fè egare konsa? Nou konmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, koulye a nou vle fini ak pwòp fòs kouraj nou?(Creole-HT) ======= Galatians 3:4 ============ Gal 3:4 Have ye suffered so many things in vain? if it be yet in vain.(KJV-1611) Gal 3:4 Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi.(Creole-HT) ======= Galatians 3:5 ============ Gal 3:5 He therefore that ministereth to you the Spirit, and worketh miracles among you, doeth he it by the works of the law, or by the hearing of faith?(KJV-1611) Gal 3:5 Lè Bondye ban nou Lespri l', lè li fè mirak sa yo nan mitan nou, èske li fè sa paske nou fè sa lalwa mande, osinon paske nou mete konfyans nou nan li lè nou tande bon nouvèl la?(Creole-HT) ======= Galatians 3:6 ============ Gal 3:6 Even as Abraham believed God, and it was accounted to him for righteousness.(KJV-1611) Gal 3:6 Men sa ki ekri nan Liv la menm: Abraram te mete konfyans li nan Bondye. Se poutèt sa Bondye te fè l' gras.(Creole-HT) ======= Galatians 3:7 ============ Gal 3:7 Know ye therefore that they which are of faith, the same are the children of Abraham.(KJV-1611) Gal 3:7 Konsa, se pou nou konprann sa byen: Moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram.(Creole-HT) ======= Galatians 3:8 ============ Gal 3:8 And the scripture, foreseeing that God would justify the heathen through faith, preached before the gospel unto Abraham, saying, In thee shall all nations be blessed.(KJV-1611) Gal 3:8 Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.(Creole-HT) ======= Galatians 3:9 ============ Gal 3:9 So then they which be of faith are blessed with faithful Abraham.(KJV-1611) Gal 3:9 Se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te beni li. Konsa, tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye va resevwa benediksyon Bondye a ansanm ak Abraram.(Creole-HT) ======= Galatians 3:10 ============ Gal 3:10 For as many as are of the works of the law are under the curse: for it is written, Cursed is every one that continueth not in all things which are written in the book of the law to do them.(KJV-1611) Gal 3:10 Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.(Creole-HT) ======= Galatians 3:11 ============ Gal 3:11 But that no man is justified by the law in the sight of God, it is evident: for, The just shall live by faith.(KJV-1611) Gal 3:11 Lalwa pa kapab fè Bondye fè pesonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi.(Creole-HT) ======= Galatians 3:12 ============ Gal 3:12 And the law is not of faith: but, The man that doeth them shall live in them.(KJV-1611) Gal 3:12 Lalwa pa gen anyen pou l' wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l'.(Creole-HT) ======= Galatians 3:13 ============ Gal 3:13 Christ hath redeemed us from the curse of the law, being made a curse for us: for it is written, Cursed is every one that hangeth on a tree:(KJV-1611) Gal 3:13 Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.(Creole-HT) ======= Galatians 3:14 ============ Gal 3:14 That the blessing of Abraham might come on the Gentiles through Jesus Christ; that we might receive the promise of the Spirit through faith.(KJV-1611) Gal 3:14 Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.(Creole-HT) ======= Galatians 3:15 ============ Gal 3:15 Brethren, I speak after the manner of men; Though it be but a man's covenant, yet if it be confirmed, no man disannulleth, or addeth thereto.(KJV-1611) Gal 3:15 Frè m' yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l' byen fèt, pesonn pa ka kase l', ni pesonn pa ka ajoute anyen ladan li.(Creole-HT) ======= Galatians 3:16 ============ Gal 3:16 Now to Abraham and his seed were the promises made. He saith not, And to seeds, as of many; but as of one, And to thy seed, which is Christ.(KJV-1611) Gal 3:16 Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pa t' ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.(Creole-HT) ======= Galatians 3:17 ============ Gal 3:17 And this I say, that the covenant, that was confirmed before of God in Christ, the law, which was four hundred and thirty years after, cannot disannul, that it should make the promise of none effect.(KJV-1611) Gal 3:17 Men sa mwen vle di: Bondye te fè testaman sa a, epi li te pwomèt li t'ap kenbe li. Lalwa a menm te vini katsantrant an apre sa. Se sak fè, lalwa a pa kapab kase testaman sa a, ni li pa kapab fè pwomès la tonbe.(Creole-HT) ======= Galatians 3:18 ============ Gal 3:18 For if the inheritance be of the law, it is no more of promise: but God gave it to Abraham by promise.(KJV-1611) Gal 3:18 Paske, si kado Bondye bay la te chita sou lalwa Moyiz la, se pa ta yon pwomès ankò kado a ta ye. Men, Bondye te bay Abraram favè sa a paske li te pwomèt li sa.(Creole-HT) ======= Galatians 3:19 ============ Gal 3:19 Wherefore then serveth the law? It was added because of transgressions, till the seed should come to whom the promise was made; and it was ordained by angels in the hand of a mediator.(KJV-1611) Gal 3:19 Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l' te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l' te la toutotan pitit pitit Abraram lan pa t' ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè.(Creole-HT) ======= Galatians 3:20 ============ Gal 3:20 Now a mediator is not a mediator of one, but God is one.(KJV-1611) Gal 3:20 Lè yon moun pou kont li, li pa bezwen entèmedyè. Bondye pou kont li.(Creole-HT) ======= Galatians 3:21 ============ Gal 3:21 Is the law then against the promises of God? God forbid: for if there had been a law given which could have given life, verily righteousness should have been by the law.(KJV-1611) Gal 3:21 Eske lalwa Moyiz la kont pwomès Bondye yo? Men non. Si zanj yo te bay yon lalwa ki te kapab bay moun lavi, enben, lalwa sa a ta kapab fè Bondye fè moun gras.(Creole-HT) ======= Galatians 3:22 ============ Gal 3:22 But the scripture hath concluded all under sin, that the promise by faith of Jesus Christ might be given to them that believe.(KJV-1611) Gal 3:22 Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Galatians 3:23 ============ Gal 3:23 But before faith came, we were kept under the law, shut up unto the faith which should afterwards be revealed.(KJV-1611) Gal 3:23 Anvan lè a te rive pou n' te ka gen konfyans, lalwa te kenbe nou prizonye anba men l', jouk tan pou Bondye te devwale kalite konfyans sa a.(Creole-HT) ======= Galatians 3:24 ============ Gal 3:24 Wherefore the law was our schoolmaster to bring us unto Christ, that we might be justified by faith.(KJV-1611) Gal 3:24 Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.(Creole-HT) ======= Galatians 3:25 ============ Gal 3:25 But after that faith is come, we are no longer under a schoolmaster.(KJV-1611) Gal 3:25 Men koulye a, lè a rive pou nou gen konfyans nan Kris la; nou pa anba men moun ki t'ap veye nou an ankò.(Creole-HT) ======= Galatians 3:26 ============ Gal 3:26 For ye are all the children of God by faith in Christ Jesus.(KJV-1611) Gal 3:26 Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Galatians 3:27 ============ Gal 3:27 For as many of you as have been baptized into Christ have put on Christ.(KJV-1611) Gal 3:27 Nou tout, nou te resevwa batèm pou n' te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.(Creole-HT) ======= Galatians 3:28 ============ Gal 3:28 There is neither Jew nor Greek, there is neither bond nor free, there is neither male nor female: for ye are all one in Christ Jesus.(KJV-1611) Gal 3:28 Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Galatians 3:29 ============ Gal 3:29 And if ye be Christ's, then are ye Abraham's seed, and heirs according to the promise.(KJV-1611) Gal 3:29 Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Galatians 4:1 ============ Gal 4:1 Now I say, That the heir, as long as he is a child, differeth nothing from a servant, though he be lord of all;(KJV-1611) Gal 4:1 Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.(Creole-HT) ======= Galatians 4:2 ============ Gal 4:2 But is under tutors and governors until the time appointed of the father.(KJV-1611) Gal 4:2 Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l' la, moun k'ap regle zafè l' pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.(Creole-HT) ======= Galatians 4:3 ============ Gal 4:3 Even so we, when we were children, were in bondage under the elements of the world:(KJV-1611) Gal 4:3 Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn.(Creole-HT) ======= Galatians 4:4 ============ Gal 4:4 But when the fulness of the time was come, God sent forth his Son, made of a woman, made under the law,(KJV-1611) Gal 4:4 Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,(Creole-HT) ======= Galatians 4:5 ============ Gal 4:5 To redeem them that were under the law, that we might receive the adoption of sons.(KJV-1611) Gal 4:5 pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.(Creole-HT) ======= Galatians 4:6 ============ Gal 4:6 And because ye are sons, God hath sent forth the Spirit of his Son into your hearts, crying, Abba, Father.(KJV-1611) Gal 4:6 Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.(Creole-HT) ======= Galatians 4:7 ============ Gal 4:7 Wherefore thou art no more a servant, but a son; and if a son, then an heir of God through Christ.(KJV-1611) Gal 4:7 Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.(Creole-HT) ======= Galatians 4:8 ============ Gal 4:8 Howbeit then, when ye knew not God, ye did service unto them which by nature are no gods.(KJV-1611) Gal 4:8 Nan tan lontan, nou pa t' konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t' Bondye.(Creole-HT) ======= Galatians 4:9 ============ Gal 4:9 But now, after that ye have known God, or rather are known of God, how turn ye again to the weak and beggarly elements, whereunto ye desire again to be in bondage?(KJV-1611) Gal 4:9 Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò?(Creole-HT) ======= Galatians 4:10 ============ Gal 4:10 Ye observe days, and months, and times, and years.(KJV-1611) Gal 4:10 Ki jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lòt?(Creole-HT) ======= Galatians 4:11 ============ Gal 4:11 I am afraid of you, lest I have bestowed upon you labour in vain.(KJV-1611) Gal 4:11 Mwen pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen.(Creole-HT) ======= Galatians 4:12 ============ Gal 4:12 Brethren, I beseech you, be as I am; for I am as ye are: ye have not injured me at all.(KJV-1611) Gal 4:12 Frè m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m' okenn tò.(Creole-HT) ======= Galatians 4:13 ============ Gal 4:13 Ye know how through infirmity of the flesh I preached the gospel unto you at the first.(KJV-1611) Gal 4:13 Nou chonje kisa ki te fè m' anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad.(Creole-HT) ======= Galatians 4:14 ============ Gal 4:14 And my temptation which was in my flesh ye despised not, nor rejected; but received me as an angel of God, even as Christ Jesus.(KJV-1611) Gal 4:14 Lè sa a, malgre maladi m' lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pa t' meprize m', ni nou pa t' repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m' tankou si m' te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m' te ye.(Creole-HT) ======= Galatians 4:15 ============ Gal 4:15 Where is then the blessedness ye spake of? for I bear you record, that, if it had been possible, ye would have plucked out your own eyes, and have given them to me.(KJV-1611) Gal 4:15 Lè sa a, nou pa t' manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n' te rache je nou ban mwen, nou ta fè li.(Creole-HT) ======= Galatians 4:16 ============ Gal 4:16 Am I therefore become your enemy, because I tell you the truth?(KJV-1611) Gal 4:16 Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite?(Creole-HT) ======= Galatians 4:17 ============ Gal 4:17 They zealously affect you, but not well; yea, they would exclude you, that ye might affect them.(KJV-1611) Gal 4:17 Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m' pou nou ka enterese nan yo ase.(Creole-HT) ======= Galatians 4:18 ============ Gal 4:18 But it is good to be zealously affected always in a good thing, and not only when I am present with you.(KJV-1611) Gal 4:18 Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Galatians 4:19 ============ Gal 4:19 My little children, of whom I travail in birth again until Christ be formed in you,(KJV-1611) Gal 4:19 Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.(Creole-HT) ======= Galatians 4:20 ============ Gal 4:20 I desire to be present with you now, and to change my voice; for I stand in doubt of you.(KJV-1611) Gal 4:20 Jan m' ta renmen bò kote nou koulye a pou m' ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou!(Creole-HT) ======= Galatians 4:21 ============ Gal 4:21 Tell me, ye that desire to be under the law, do ye not hear the law?(KJV-1611) Gal 4:21 Manyè di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di?(Creole-HT) ======= Galatians 4:22 ============ Gal 4:22 For it is written, that Abraham had two sons, the one by a bondmaid, the other by a freewoman.(KJV-1611) Gal 4:22 Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pa t' esklav la.(Creole-HT) ======= Galatians 4:23 ============ Gal 4:23 But he who was of the bondwoman was born after the flesh; but he of the freewoman was by promise.(KJV-1611) Gal 4:23 Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pa t' esklav la te fèt dapre pwomès Bondye.(Creole-HT) ======= Galatians 4:24 ============ Gal 4:24 Which things are an allegory: for these are the two covenants; the one from the mount Sinai, which gendereth to bondage, which is Agar.(KJV-1611) Gal 4:24 Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.(Creole-HT) ======= Galatians 4:25 ============ Gal 4:25 For this Agar is mount Sinai in Arabia, and answereth to Jerusalem which now is, and is in bondage with her children.(KJV-1611) Gal 4:25 Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo.(Creole-HT) ======= Galatians 4:26 ============ Gal 4:26 But Jerusalem which is above is free, which is the mother of us all.(KJV-1611) Gal 4:26 Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.(Creole-HT) ======= Galatians 4:27 ============ Gal 4:27 For it is written, Rejoice, thou barren that bearest not; break forth and cry, thou that travailest not: for the desolate hath many more children than she which hath an husband.(KJV-1611) Gal 4:27 Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.(Creole-HT) ======= Galatians 4:28 ============ Gal 4:28 Now we, brethren, as Isaac was, are the children of promise.(KJV-1611) Gal 4:28 Koulye a, frè m' yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l' te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Galatians 4:29 ============ Gal 4:29 But as then he that was born after the flesh persecuted him that was born after the Spirit, even so it is now.(KJV-1611) Gal 4:29 Nan tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou.(Creole-HT) ======= Galatians 4:30 ============ Gal 4:30 Nevertheless what saith the scripture? Cast out the bondwoman and her son: for the son of the bondwoman shall not be heir with the son of the freewoman.(KJV-1611) Gal 4:30 Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pa t' esklav la.(Creole-HT) ======= Galatians 4:31 ============ Gal 4:31 So then, brethren, we are not children of the bondwoman, but of the free.(KJV-1611) Gal 4:31 Konsa, frè m' yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t' esklav la.(Creole-HT) ======= Galatians 5:1 ============ Gal 5:1 Stand fast therefore in the liberty wherewith Christ hath made us free, and be not entangled again with the yoke of bondage.(KJV-1611) Gal 5:1 Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.(Creole-HT) ======= Galatians 5:2 ============ Gal 5:2 Behold, I Paul say unto you, that if ye be circumcised, Christ shall profit you nothing.(KJV-1611) Gal 5:2 Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.(Creole-HT) ======= Galatians 5:3 ============ Gal 5:3 For I testify again to every man that is circumcised, that he is a debtor to do the whole law.(KJV-1611) Gal 5:3 M'ap repete sa m' te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande.(Creole-HT) ======= Galatians 5:4 ============ Gal 5:4 Christ is become of no effect unto you, whosoever of you are justified by the law; ye are fallen from grace.(KJV-1611) Gal 5:4 Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a.(Creole-HT) ======= Galatians 5:5 ============ Gal 5:5 For we through the Spirit wait for the hope of righteousness by faith.(KJV-1611) Gal 5:5 Pou nou menm, nou gen espwa Bondye va fè nou gras paske nou gen konfyans nan li. Se sa menm n'ap tann, gremesi pouvwa Lespri Bondye a k'ap travay nan nou.(Creole-HT) ======= Galatians 5:6 ============ Gal 5:6 For in Jesus Christ neither circumcision availeth any thing, nor uncircumcision; but faith which worketh by love.(KJV-1611) Gal 5:6 Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.(Creole-HT) ======= Galatians 5:7 ============ Gal 5:7 Ye did run well; who did hinder you that ye should not obey the truth?(KJV-1611) Gal 5:7 Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a?(Creole-HT) ======= Galatians 5:8 ============ Gal 5:8 This persuasion cometh not of him that calleth you.(KJV-1611) Gal 5:8 Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki soti nan Bondye k'ap rele nou an.(Creole-HT) ======= Galatians 5:9 ============ Gal 5:9 A little leaven leaveneth the whole lump.(KJV-1611) Gal 5:9 Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pa t' la leve.(Creole-HT) ======= Galatians 5:10 ============ Gal 5:10 I have confidence in you through the Lord, that ye will be none otherwise minded: but he that troubleth you shall bear his judgment, whosoever he be.(KJV-1611) Gal 5:10 Men, Seyè a fè m' gen konfyans nan nou, li ban m' lasirans nou p'ap fè lòt lide, n'ap dakò avè mwen. Men, kanta moun k'ap boulvèse nou an, li te mèt sa l' te ye, Bondye gen pou peni li.(Creole-HT) ======= Galatians 5:11 ============ Gal 5:11 And I, brethren, if I yet preach circumcision, why do I yet suffer persecution? then is the offence of the cross ceased.(KJV-1611) Gal 5:11 Pou mwen menm, frè m' yo, si m' t'ap mande pou moun sikonsi toujou, poukisa y'ap pèsekite m' jouk koulye a? Epitou, nan ka sa a, mesaj m'ap bay lè m'ap anonse Kris la ki mouri sou kwa a pa ta bay pesonn okazyon bite.(Creole-HT) ======= Galatians 5:12 ============ Gal 5:12 I would they were even cut off which trouble you.(KJV-1611) Gal 5:12 Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa.(Creole-HT) ======= Galatians 5:13 ============ Gal 5:13 For, brethren, ye have been called unto liberty; only use not liberty for an occasion to the flesh, but by love serve one another.(KJV-1611) Gal 5:13 Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.(Creole-HT) ======= Galatians 5:14 ============ Gal 5:14 For all the law is fulfilled in one word, even in this; Thou shalt love thy neighbour as thyself.(KJV-1611) Gal 5:14 Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.(Creole-HT) ======= Galatians 5:15 ============ Gal 5:15 But if ye bite and devour one another, take heed that ye be not consumed one of another.(KJV-1611) Gal 5:15 Men, si yonn ap mòde lòt, yonn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou yonn pa touye lòt tou!(Creole-HT) ======= Galatians 5:16 ============ Gal 5:16 This I say then, Walk in the Spirit, and ye shall not fulfil the lust of the flesh.(KJV-1611) Gal 5:16 Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.(Creole-HT) ======= Galatians 5:17 ============ Gal 5:17 For the flesh lusteth against the Spirit, and the Spirit against the flesh: and these are contrary the one to the other: so that ye cannot do the things that ye would.(KJV-1611) Gal 5:17 Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle.(Creole-HT) ======= Galatians 5:18 ============ Gal 5:18 But if ye be led of the Spirit, ye are not under the law.(KJV-1611) Gal 5:18 Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.(Creole-HT) ======= Galatians 5:19 ============ Gal 5:19 Now the works of the flesh are manifest, which are these; Adultery, fornication, uncleanness, lasciviousness,(KJV-1611) Gal 5:19 Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.(Creole-HT) ======= Galatians 5:20 ============ Gal 5:20 Idolatry, witchcraft, hatred, variance, emulations, wrath, strife, seditions, heresies,(KJV-1611) Gal 5:20 Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.(Creole-HT) ======= Galatians 5:21 ============ Gal 5:21 Envyings, murders, drunkenness, revellings, and such like: of the which I tell you before, as I have also told you in time past, that they which do such things shall not inherit the kingdom of God.(KJV-1611) Gal 5:21 Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.(Creole-HT) ======= Galatians 5:22 ============ Gal 5:22 But the fruit of the Spirit is love, joy, peace, longsuffering, gentleness, goodness, faith,(KJV-1611) Gal 5:22 Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.(Creole-HT) ======= Galatians 5:23 ============ Gal 5:23 Meekness, temperance: against such there is no law.(KJV-1611) Gal 5:23 Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Galatians 5:24 ============ Gal 5:24 And they that are Christ's have crucified the flesh with the affections and lusts.(KJV-1611) Gal 5:24 Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.(Creole-HT) ======= Galatians 5:25 ============ Gal 5:25 If we live in the Spirit, let us also walk in the Spirit.(KJV-1611) Gal 5:25 Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.(Creole-HT) ======= Galatians 5:26 ============ Gal 5:26 Let us not be desirous of vain glory, provoking one another, envying one another.(KJV-1611) Gal 5:26 Pa kite lògèy moute nou nan tèt. Piga yonn chache lòt kont. Piga yonn rayi sò lòt.(Creole-HT) ======= Galatians 6:1 ============ Gal 6:1 Brethren, if a man be overtaken in a fault, ye which are spiritual, restore such an one in the spirit of meekness; considering thyself, lest thou also be tempted.(KJV-1611) Gal 6:1 Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.(Creole-HT) ======= Galatians 6:2 ============ Gal 6:2 Bear ye one another's burdens, and so fulfil the law of Christ.(KJV-1611) Gal 6:2 Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.(Creole-HT) ======= Galatians 6:3 ============ Gal 6:3 For if a man think himself to be something, when he is nothing, he deceiveth himself.(KJV-1611) Gal 6:3 Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l'ap twonpe tèt li.(Creole-HT) ======= Galatians 6:4 ============ Gal 6:4 But let every man prove his own work, and then shall he have rejoicing in himself alone, and not in another.(KJV-1611) Gal 6:4 Chak moun dwe egzaminen jan y'ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y'a kontan pou sa yo fè. Yo p'ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.(Creole-HT) ======= Galatians 6:5 ============ Gal 6:5 For every man shall bear his own burden.(KJV-1611) Gal 6:5 Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote.(Creole-HT) ======= Galatians 6:6 ============ Gal 6:6 Let him that is taught in the word communicate unto him that teacheth in all good things.(KJV-1611) Gal 6:6 Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.(Creole-HT) ======= Galatians 6:7 ============ Gal 6:7 Be not deceived; God is not mocked: for whatsoever a man soweth, that shall he also reap.(KJV-1611) Gal 6:7 Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.(Creole-HT) ======= Galatians 6:8 ============ Gal 6:8 For he that soweth to his flesh shall of the flesh reap corruption; but he that soweth to the Spirit shall of the Spirit reap life everlasting.(KJV-1611) Gal 6:8 Moun ki simen sa ki fè kò l' plezi, li gen pou l' rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l' rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Galatians 6:9 ============ Gal 6:9 And let us not be weary in well doing: for in due season we shall reap, if we faint not.(KJV-1611) Gal 6:9 Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.(Creole-HT) ======= Galatians 6:10 ============ Gal 6:10 As we have therefore opportunity, let us do good unto all men, especially unto them who are of the household of faith.(KJV-1611) Gal 6:10 Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.(Creole-HT) ======= Galatians 6:11 ============ Gal 6:11 Ye see how large a letter I have written unto you with mine own hand.(KJV-1611) Gal 6:11 Gade ki gwo lèt m'ap ekri nou koulye a ak men pa m'!(Creole-HT) ======= Galatians 6:12 ============ Gal 6:12 As many as desire to make a fair shew in the flesh, they constrain you to be circumcised; only lest they should suffer persecution for the cross of Christ.(KJV-1611) Gal 6:12 Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la.(Creole-HT) ======= Galatians 6:13 ============ Gal 6:13 For neither they themselves who are circumcised keep the law; but desire to have you circumcised, that they may glory in your flesh.(KJV-1611) Gal 6:13 Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou.(Creole-HT) ======= Galatians 6:14 ============ Gal 6:14 But God forbid that I should glory, save in the cross of our Lord Jesus Christ, by whom the world is crucified unto me, and I unto the world.(KJV-1611) Gal 6:14 Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.(Creole-HT) ======= Galatians 6:15 ============ Gal 6:15 For in Christ Jesus neither circumcision availeth any thing, nor uncircumcision, but a new creature.(KJV-1611) Gal 6:15 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.(Creole-HT) ======= Galatians 6:16 ============ Gal 6:16 And as many as walk according to this rule, peace be on them, and mercy, and upon the Israel of God.(KJV-1611) Gal 6:16 Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l' ba yo kè poze, pou l' gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Galatians 6:17 ============ Gal 6:17 From henceforth let no man trouble me: for I bear in my body the marks of the Lord Jesus.(KJV-1611) Gal 6:17 Apre sa, piga pesonn ban m' traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.(Creole-HT) ======= Galatians 6:18 ============ Gal 6:18 Brethren, the grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen.(KJV-1611) Gal 6:18 Frè m' yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:1 ============ Eph 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, to the saints which are at Ephesus, and to the faithful in Christ Jesus:(KJV-1611) Eph 1:1 Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki nan lavil Efèz la, k'ap kenbe fèm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:2 ============ Eph 1:2 Grace be to you, and peace, from God our Father, and from the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Eph 1:2 Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:3 ============ Eph 1:3 Blessed be the God and Father of our Lord Jesus Christ, who hath blessed us with all spiritual blessings in heavenly places in Christ:(KJV-1611) Eph 1:3 Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:4 ============ Eph 1:4 According as he hath chosen us in him before the foundation of the world, that we should be holy and without blame before him in love:(KJV-1611) Eph 1:4 Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,(Creole-HT) ======= Ephesians 1:5 ============ Eph 1:5 Having predestinated us unto the adoption of children by Jesus Christ to himself, according to the good pleasure of his will,(KJV-1611) Eph 1:5 Bondye te deside depi davans pou l' te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fè l' plezi.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:6 ============ Eph 1:6 To the praise of the glory of his grace, wherein he hath made us accepted in the beloved.(KJV-1611) Eph 1:6 Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!(Creole-HT) ======= Ephesians 1:7 ============ Eph 1:7 In whom we have redemption through his blood, the forgiveness of sins, according to the riches of his grace;(KJV-1611) Eph 1:7 Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo; Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:8 ============ Eph 1:8 Wherein he hath abounded toward us in all wisdom and prudence;(KJV-1611) Eph 1:8 Li ban nou favè l' an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:9 ============ Eph 1:9 Having made known unto us the mystery of his will, according to his good pleasure which he hath purposed in himself:(KJV-1611) Eph 1:9 Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l', plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:10 ============ Eph 1:10 That in the dispensation of the fulness of times he might gather together in one all things in Christ, both which are in heaven, and which are on earth; even in him:(KJV-1611) Eph 1:10 Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:11 ============ Eph 1:11 In whom also we have obtained an inheritance, being predestinated according to the purpose of him who worketh all things after the counsel of his own will:(KJV-1611) Eph 1:11 Bondye ap fè tout bagay rive jan l' te deside l' la ak jan l' te vle l' la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:12 ============ Eph 1:12 That we should be to the praise of his glory, who first trusted in Christ.(KJV-1611) Eph 1:12 Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:13 ============ Eph 1:13 In whom ye also trusted, after that ye heard the word of truth, the gospel of your salvation: in whom also after that ye believed, ye were sealed with that holy Spirit of promise,(KJV-1611) Eph 1:13 Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bon nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:14 ============ Eph 1:14 Which is the earnest of our inheritance until the redemption of the purchased possession, unto the praise of his glory.(KJV-1611) Eph 1:14 Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l' yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:15 ============ Eph 1:15 Wherefore I also, after I heard of your faith in the Lord Jesus, and love unto all the saints,(KJV-1611) Eph 1:15 Se poutèt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a,(Creole-HT) ======= Ephesians 1:16 ============ Eph 1:16 Cease not to give thanks for you, making mention of you in my prayers;(KJV-1611) Eph 1:16 mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:17 ============ Eph 1:17 That the God of our Lord Jesus Christ, the Father of glory, may give unto you the spirit of wisdom and revelation in the knowledge of him:(KJV-1611) Eph 1:17 Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè nou konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande l' pou li ban nou Sentespri l' ki bay bon konprann ki moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen l' byen.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:18 ============ Eph 1:18 The eyes of your understanding being enlightened; that ye may know what is the hope of his calling, and what the riches of the glory of his inheritance in the saints,(KJV-1611) Eph 1:18 Mwen mande l' pou l' louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:19 ============ Eph 1:19 And what is the exceeding greatness of his power to us-ward who believe, according to the working of his mighty power,(KJV-1611) Eph 1:19 Mwen mande l' pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè,(Creole-HT) ======= Ephesians 1:20 ============ Eph 1:20 Which he wrought in Christ, when he raised him from the dead, and set him at his own right hand in the heavenly places,(KJV-1611) Eph 1:20 lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè l' chita sou bò dwat li nan syèl la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:21 ============ Eph 1:21 Far above all principality, and power, and might, and dominion, and every name that is named, not only in this world, but also in that which is to come:(KJV-1611) Eph 1:21 Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman koulye a sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:22 ============ Eph 1:22 And hath put all things under his feet, and gave him to be the head over all things to the church,(KJV-1611) Eph 1:22 Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la.(Creole-HT) ======= Ephesians 1:23 ============ Eph 1:23 Which is his body, the fulness of him that filleth all in all.(KJV-1611) Eph 1:23 Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:1 ============ Eph 2:1 And you hath he quickened, who were dead in trespasses and sins;(KJV-1611) Eph 2:1 Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:2 ============ Eph 2:2 Wherein in time past ye walked according to the course of this world, according to the prince of the power of the air, the spirit that now worketh in the children of disobedience:(KJV-1611) Eph 2:2 Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:3 ============ Eph 2:3 Among whom also we all had our conversation in times past in the lusts of our flesh, fulfilling the desires of the flesh and of the mind; and were by nature the children of wrath, even as others.(KJV-1611) Eph 2:3 Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:4 ============ Eph 2:4 But God, who is rich in mercy, for his great love wherewith he loved us,(KJV-1611) Eph 2:4 Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,(Creole-HT) ======= Ephesians 2:5 ============ Eph 2:5 Even when we were dead in sins, hath quickened us together with Christ, (by grace ye are saved;)(KJV-1611) Eph 2:5 li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:6 ============ Eph 2:6 And hath raised us up together, and made us sit together in heavenly places in Christ Jesus:(KJV-1611) Eph 2:6 Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve soti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:7 ============ Eph 2:7 That in the ages to come he might shew the exceeding riches of his grace in his kindness toward us through Christ Jesus.(KJV-1611) Eph 2:7 Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:8 ============ Eph 2:8 For by grace are ye saved through faith; and that not of yourselves: it is the gift of God:(KJV-1611) Eph 2:8 Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:9 ============ Eph 2:9 Not of works, lest any man should boast.(KJV-1611) Eph 2:9 Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:10 ============ Eph 2:10 For we are his workmanship, created in Christ Jesus unto good works, which God hath before ordained that we should walk in them.(KJV-1611) Eph 2:10 Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:11 ============ Eph 2:11 Wherefore remember, that ye being in time past Gentiles in the flesh, who are called Uncircumcision by that which is called the Circumcision in the flesh made by hands;(KJV-1611) Eph 2:11 Nou menm ki pa t' fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:12 ============ Eph 2:12 That at that time ye were without Christ, being aliens from the commonwealth of Israel, and strangers from the covenants of promise, having no hope, and without God in the world:(KJV-1611) Eph 2:12 Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pa t' fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pa t' nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l' te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:13 ============ Eph 2:13 But now in Christ Jesus ye who sometimes were far off are made nigh by the blood of Christ.(KJV-1611) Eph 2:13 Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:14 ============ Eph 2:14 For he is our peace, who hath made both one, and hath broken down the middle wall of partition between us;(KJV-1611) Eph 2:14 Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:15 ============ Eph 2:15 Having abolished in his flesh the enmity, even the law of commandments contained in ordinances; for to make in himself of twain one new man, so making peace;(KJV-1611) Eph 2:15 Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l' yo ak tout regleman l' yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:16 ============ Eph 2:16 And that he might reconcile both unto God in one body by the cross, having slain the enmity thereby:(KJV-1611) Eph 2:16 Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:17 ============ Eph 2:17 And came and preached peace to you which were afar off, and to them that were nigh.(KJV-1611) Eph 2:17 Wi, Kris la te vini, li anonse bon nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:18 ============ Eph 2:18 For through him we both have access by one Spirit unto the Father.(KJV-1611) Eph 2:18 Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:19 ============ Eph 2:19 Now therefore ye are no more strangers and foreigners, but fellowcitizens with the saints, and of the household of God;(KJV-1611) Eph 2:19 Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:20 ============ Eph 2:20 And are built upon the foundation of the apostles and prophets, Jesus Christ himself being the chief corner stone;(KJV-1611) Eph 2:20 Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:21 ============ Eph 2:21 In whom all the building fitly framed together groweth unto an holy temple in the Lord:(KJV-1611) Eph 2:21 Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l' grandi pou l' tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 2:22 ============ Eph 2:22 In whom ye also are builded together for an habitation of God through the Spirit.(KJV-1611) Eph 2:22 Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:1 ============ Eph 3:1 For this cause I Paul, the prisoner of Jesus Christ for you Gentiles,(KJV-1611) Eph 3:1 Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:2 ============ Eph 3:2 If ye have heard of the dispensation of the grace of God which is given me to you-ward:(KJV-1611) Eph 3:2 Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l', te ban m' travay sa a pou m' te fè pou nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:3 ============ Eph 3:3 How that by revelation he made known unto me the mystery; (as I wrote afore in few words,(KJV-1611) Eph 3:3 Bondye devwale m' sekrè travay li a, pou m' te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:4 ============ Eph 3:4 Whereby, when ye read, ye may understand my knowledge in the mystery of Christ)(KJV-1611) Eph 3:4 Lè n'a li yo, n'a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:5 ============ Eph 3:5 Which in other ages was not made known unto the sons of men, as it is now revealed unto his holy apostles and prophets by the Spirit;(KJV-1611) Eph 3:5 Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:6 ============ Eph 3:6 That the Gentiles should be fellowheirs, and of the same body, and partakers of his promise in Christ by the gospel:(KJV-1611) Eph 3:6 Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:7 ============ Eph 3:7 Whereof I was made a minister, according to the gift of the grace of God given unto me by the effectual working of his power.(KJV-1611) Eph 3:7 Kifè m'ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l' fè m' yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:8 ============ Eph 3:8 Unto me, who am less than the least of all saints, is this grace given, that I should preach among the Gentiles the unsearchable riches of Christ;(KJV-1611) Eph 3:8 Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m' fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:9 ============ Eph 3:9 And to make all men see what is the fellowship of the mystery, which from the beginning of the world hath been hid in God, who created all things by Jesus Christ:(KJV-1611) Eph 3:9 Li ban m' privilèj sa a pou m' fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l' depi lontan.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:10 ============ Eph 3:10 To the intent that now unto the principalities and powers in heavenly places might be known by the church the manifold wisdom of God,(KJV-1611) Eph 3:10 Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:11 ============ Eph 3:11 According to the eternal purpose which he purposed in Christ Jesus our Lord:(KJV-1611) Eph 3:11 Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:12 ============ Eph 3:12 In whom we have boldness and access with confidence by the faith of him.(KJV-1611) Eph 3:12 Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:13 ============ Eph 3:13 Wherefore I desire that ye faint not at my tribulations for you, which is your glory.(KJV-1611) Eph 3:13 Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:14 ============ Eph 3:14 For this cause I bow my knees unto the Father of our Lord Jesus Christ,(KJV-1611) Eph 3:14 Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,(Creole-HT) ======= Ephesians 3:15 ============ Eph 3:15 Of whom the whole family in heaven and earth is named,(KJV-1611) Eph 3:15 ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:16 ============ Eph 3:16 That he would grant you, according to the riches of his glory, to be strengthened with might by his Spirit in the inner man;(KJV-1611) Eph 3:16 M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,(Creole-HT) ======= Ephesians 3:17 ============ Eph 3:17 That Christ may dwell in your hearts by faith; that ye, being rooted and grounded in love,(KJV-1611) Eph 3:17 pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,(Creole-HT) ======= Ephesians 3:18 ============ Eph 3:18 May be able to comprehend with all saints what is the breadth, and length, and depth, and height;(KJV-1611) Eph 3:18 pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:19 ============ Eph 3:19 And to know the love of Christ, which passeth knowledge, that ye might be filled with all the fulness of God.(KJV-1611) Eph 3:19 Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p'ap janm ka rive konnen l' nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:20 ============ Eph 3:20 Now unto him that is able to do exceeding abundantly above all that we ask or think, according to the power that worketh in us,(KJV-1611) Eph 3:20 Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 3:21 ============ Eph 3:21 Unto him be glory in the church by Christ Jesus throughout all ages, world without end. Amen.(KJV-1611) Eph 3:21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!(Creole-HT) ======= Ephesians 4:1 ============ Eph 4:1 I therefore, the prisoner of the Lord, beseech you that ye walk worthy of the vocation wherewith ye are called,(KJV-1611) Eph 4:1 Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv la.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:2 ============ Eph 4:2 With all lowliness and meekness, with longsuffering, forbearing one another in love;(KJV-1611) Eph 4:2 Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:3 ============ Eph 4:3 Endeavouring to keep the unity of the Spirit in the bond of peace.(KJV-1611) Eph 4:3 Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:4 ============ Eph 4:4 There is one body, and one Spirit, even as ye are called in one hope of your calling;(KJV-1611) Eph 4:4 Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:5 ============ Eph 4:5 One Lord, one faith, one baptism,(KJV-1611) Eph 4:5 Gen yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:6 ============ Eph 4:6 One God and Father of all, who is above all, and through all, and in you all.(KJV-1611) Eph 4:6 Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:7 ============ Eph 4:7 But unto every one of us is given grace according to the measure of the gift of Christ.(KJV-1611) Eph 4:7 Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la,(Creole-HT) ======= Ephesians 4:8 ============ Eph 4:8 Wherefore he saith, When he ascended up on high, he led captivity captive, and gave gifts unto men.(KJV-1611) Eph 4:8 jan sa ekri nan Liv la: Lè li moute anwo, li mennen anpil prizonye ak li, li bay lèzòm anpil kado.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:9 ============ Eph 4:9 (Now that he ascended, what is it but that he also descended first into the lower parts of the earth?(KJV-1611) Eph 4:9 Enben, kisa sa vle di: Li moute anwo? Sa vle di, li te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:10 ============ Eph 4:10 He that descended is the same also that ascended up far above all heavens, that he might fill all things.)(KJV-1611) Eph 4:10 Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l' te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:11 ============ Eph 4:11 And he gave some, apostles; and some, prophets; and some, evangelists; and some, pastors and teachers;(KJV-1611) Eph 4:11 Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:12 ============ Eph 4:12 For the perfecting of the saints, for the work of the ministry, for the edifying of the body of Christ:(KJV-1611) Eph 4:12 Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:13 ============ Eph 4:13 Till we all come in the unity of the faith, and of the knowledge of the Son of God, unto a perfect man, unto the measure of the stature of the fulness of Christ:(KJV-1611) Eph 4:13 Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:14 ============ Eph 4:14 That we henceforth be no more children, tossed to and fro, and carried about with every wind of doctrine, by the sleight of men, and cunning craftiness, whereby they lie in wait to deceive;(KJV-1611) Eph 4:14 Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:15 ============ Eph 4:15 But speaking the truth in love, may grow up into him in all things, which is the head, even Christ:(KJV-1611) Eph 4:15 Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:16 ============ Eph 4:16 From whom the whole body fitly joined together and compacted by that which every joint supplieth, according to the effectual working in the measure of every part, maketh increase of the body unto the edifying of itself in love.(KJV-1611) Eph 4:16 Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:17 ============ Eph 4:17 This I say therefore, and testify in the Lord, that ye henceforth walk not as other Gentiles walk, in the vanity of their mind,(KJV-1611) Eph 4:17 Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:18 ============ Eph 4:18 Having the understanding darkened, being alienated from the life of God through the ignorance that is in them, because of the blindness of their heart:(KJV-1611) Eph 4:18 Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:19 ============ Eph 4:19 Who being past feeling have given themselves over unto lasciviousness, to work all uncleanness with greediness.(KJV-1611) Eph 4:19 Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:20 ============ Eph 4:20 But ye have not so learned Christ;(KJV-1611) Eph 4:20 Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,(Creole-HT) ======= Ephesians 4:21 ============ Eph 4:21 If so be that ye have heard him, and have been taught by him, as the truth is in Jesus:(KJV-1611) Eph 4:21 si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l' ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:22 ============ Eph 4:22 That ye put off concerning the former conversation the old man, which is corrupt according to the deceitful lusts;(KJV-1611) Eph 4:22 Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:23 ============ Eph 4:23 And be renewed in the spirit of your mind;(KJV-1611) Eph 4:23 Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:24 ============ Eph 4:24 And that ye put on the new man, which after God is created in righteousness and true holiness.(KJV-1611) Eph 4:24 Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:25 ============ Eph 4:25 Wherefore putting away lying, speak every man truth with his neighbour: for we are members one of another.(KJV-1611) Eph 4:25 Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:26 ============ Eph 4:26 Be ye angry, and sin not: let not the sun go down upon your wrath:(KJV-1611) Eph 4:26 Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:27 ============ Eph 4:27 Neither give place to the devil.(KJV-1611) Eph 4:27 Pa bay Satan pye sou nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:28 ============ Eph 4:28 Let him that stole steal no more: but rather let him labour, working with his hands the thing which is good, that he may have to give to him that needeth.(KJV-1611) Eph 4:28 Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:29 ============ Eph 4:29 Let no corrupt communication proceed out of your mouth, but that which is good to the use of edifying, that it may minister grace unto the hearers.(KJV-1611) Eph 4:29 Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:30 ============ Eph 4:30 And grieve not the holy Spirit of God, whereby ye are sealed unto the day of redemption.(KJV-1611) Eph 4:30 Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:31 ============ Eph 4:31 Let all bitterness, and wrath, and anger, and clamour, and evil speaking, be put away from you, with all malice:(KJV-1611) Eph 4:31 Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 4:32 ============ Eph 4:32 And be ye kind one to another, tenderhearted, forgiving one another, even as God for Christ's sake hath forgiven you.(KJV-1611) Eph 4:32 Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:1 ============ Eph 5:1 Be ye therefore followers of God, as dear children;(KJV-1611) Eph 5:1 Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:2 ============ Eph 5:2 And walk in love, as Christ also hath loved us, and hath given himself for us an offering and a sacrifice to God for a sweetsmelling savour.(KJV-1611) Eph 5:2 Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:3 ============ Eph 5:3 But fornication, and all uncleanness, or covetousness, let it not be once named among you, as becometh saints;(KJV-1611) Eph 5:3 Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:4 ============ Eph 5:4 Neither filthiness, nor foolish talking, nor jesting, which are not convenient: but rather giving of thanks.(KJV-1611) Eph 5:4 Sa pa bon non plis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal soti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:5 ============ Eph 5:5 For this ye know, that no whoremonger, nor unclean person, nor covetous man, who is an idolater, hath any inheritance in the kingdom of Christ and of God.(KJV-1611) Eph 5:5 Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:6 ============ Eph 5:6 Let no man deceive you with vain words: for because of these things cometh the wrath of God upon the children of disobedience.(KJV-1611) Eph 5:6 Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:7 ============ Eph 5:7 Be not ye therefore partakers with them.(KJV-1611) Eph 5:7 Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:8 ============ Eph 5:8 For ye were sometimes darkness, but now are ye light in the Lord: walk as children of light:(KJV-1611) Eph 5:8 Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n'ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:9 ============ Eph 5:9 (For the fruit of the Spirit is in all goodness and righteousness and truth;)(KJV-1611) Eph 5:9 Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:10 ============ Eph 5:10 Proving what is acceptable unto the Lord.(KJV-1611) Eph 5:10 Chache konnen sa k'ap fè Seyè a plezi.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:11 ============ Eph 5:11 And have no fellowship with the unfruitful works of darkness, but rather reprove them.(KJV-1611) Eph 5:11 Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:12 ============ Eph 5:12 For it is a shame even to speak of those things which are done of them in secret.(KJV-1611) Eph 5:12 Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:13 ============ Eph 5:13 But all things that are reproved are made manifest by the light: for whatsoever doth make manifest is light.(KJV-1611) Eph 5:13 Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:14 ============ Eph 5:14 Wherefore he saith, Awake thou that sleepest, and arise from the dead, and Christ shall give thee light.(KJV-1611) Eph 5:14 Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:15 ============ Eph 5:15 See then that ye walk circumspectly, not as fools, but as wise,(KJV-1611) Eph 5:15 Se sa ki fè, konnen ki jan pou n' mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:16 ============ Eph 5:16 Redeeming the time, because the days are evil.(KJV-1611) Eph 5:16 Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:17 ============ Eph 5:17 Wherefore be ye not unwise, but understanding what the will of the Lord is.(KJV-1611) Eph 5:17 Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Seyè a vle nou fè.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:18 ============ Eph 5:18 And be not drunk with wine, wherein is excess; but be filled with the Spirit;(KJV-1611) Eph 5:18 Pa soule tèt nou ak diven, sa ka mennen nou nan debòch. Okontrè, plen kè nou ak Sentespri.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:19 ============ Eph 5:19 Speaking to yourselves in psalms and hymns and spiritual songs, singing and making melody in your heart to the Lord;(KJV-1611) Eph 5:19 Lè n'ap pale yonn ak lòt, sèvi ak pawòl ki nan sòm yo, nan kantik yo, ak nan chante Lespri Bondye a moutre nou. Chante kantik ak sòm pou Seyè a lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:20 ============ Eph 5:20 Giving thanks always for all things unto God and the Father in the name of our Lord Jesus Christ;(KJV-1611) Eph 5:20 Nan non Seyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:21 ============ Eph 5:21 Submitting yourselves one to another in the fear of God.(KJV-1611) Eph 5:21 Se pou nou yonn soumèt devan lòt pa respè pou Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:22 ============ Eph 5:22 Wives, submit yourselves unto your own husbands, as unto the Lord.(KJV-1611) Eph 5:22 Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:23 ============ Eph 5:23 For the husband is the head of the wife, even as Christ is the head of the church: and he is the saviour of the body.(KJV-1611) Eph 5:23 Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki kò li.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:24 ============ Eph 5:24 Therefore as the church is subject unto Christ, so let the wives be to their own husbands in every thing.(KJV-1611) Eph 5:24 Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:25 ============ Eph 5:25 Husbands, love your wives, even as Christ also loved the church, and gave himself for it;(KJV-1611) Eph 5:25 Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:26 ============ Eph 5:26 That he might sanctify and cleanse it with the washing of water by the word,(KJV-1611) Eph 5:26 Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:27 ============ Eph 5:27 That he might present it to himself a glorious church, not having spot, or wrinkle, or any such thing; but that it should be holy and without blemish.(KJV-1611) Eph 5:27 Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:28 ============ Eph 5:28 So ought men to love their wives as their own bodies. He that loveth his wife loveth himself.(KJV-1611) Eph 5:28 Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:29 ============ Eph 5:29 For no man ever yet hated his own flesh; but nourisheth and cherisheth it, even as the Lord the church:(KJV-1611) Eph 5:29 Pesonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l' manje, li pran swen l', tankou Kris la ap fè sa pou legliz la(Creole-HT) ======= Ephesians 5:30 ============ Eph 5:30 For we are members of his body, of his flesh, and of his bones.(KJV-1611) Eph 5:30 paske nou se manm kò li.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:31 ============ Eph 5:31 For this cause shall a man leave his father and mother, and shall be joined unto his wife, and they two shall be one flesh.(KJV-1611) Eph 5:31 Jan sa ekri nan Liv la: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l', pou l' mete tèt li ak madanm li, pou tou de fè yon sèl.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:32 ============ Eph 5:32 This is a great mystery: but I speak concerning Christ and the church.(KJV-1611) Eph 5:32 Se yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la.(Creole-HT) ======= Ephesians 5:33 ============ Eph 5:33 Nevertheless let every one of you in particular so love his wife even as himself; and the wife see that she reverence her husband.(KJV-1611) Eph 5:33 Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:1 ============ Eph 6:1 Children, obey your parents in the Lord: for this is right.(KJV-1611) Eph 6:1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:2 ============ Eph 6:2 Honour thy father and mother; which is the first commandment with promise;(KJV-1611) Eph 6:2 Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l':(Creole-HT) ======= Ephesians 6:3 ============ Eph 6:3 That it may be well with thee, and thou mayest live long on the earth.(KJV-1611) Eph 6:3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:4 ============ Eph 6:4 And, ye fathers, provoke not your children to wrath: but bring them up in the nurture and admonition of the Lord.(KJV-1611) Eph 6:4 Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:5 ============ Eph 6:5 Servants, be obedient to them that are your masters according to the flesh, with fear and trembling, in singleness of your heart, as unto Christ;(KJV-1611) Eph 6:5 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:6 ============ Eph 6:6 Not with eyeservice, as menpleasers; but as the servants of Christ, doing the will of God from the heart;(KJV-1611) Eph 6:6 Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:7 ============ Eph 6:7 With good will doing service, as to the Lord, and not to men:(KJV-1611) Eph 6:7 Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:8 ============ Eph 6:8 Knowing that whatsoever good thing any man doeth, the same shall he receive of the Lord, whether he be bond or free.(KJV-1611) Eph 6:8 Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:9 ============ Eph 6:9 And, ye masters, do the same things unto them, forbearing threatening: knowing that your Master also is in heaven; neither is there respect of persons with him.(KJV-1611) Eph 6:9 Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:10 ============ Eph 6:10 Finally, my brethren, be strong in the Lord, and in the power of his might.(KJV-1611) Eph 6:10 Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:11 ============ Eph 6:11 Put on the whole armour of God, that ye may be able to stand against the wiles of the devil.(KJV-1611) Eph 6:11 Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:12 ============ Eph 6:12 For we wrestle not against flesh and blood, but against principalities, against powers, against the rulers of the darkness of this world, against spiritual wickedness in high places.(KJV-1611) Eph 6:12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:13 ============ Eph 6:13 Wherefore take unto you the whole armour of God, that ye may be able to withstand in the evil day, and having done all, to stand.(KJV-1611) Eph 6:13 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:14 ============ Eph 6:14 Stand therefore, having your loins girt about with truth, and having on the breastplate of righteousness;(KJV-1611) Eph 6:14 Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:15 ============ Eph 6:15 And your feet shod with the preparation of the gospel of peace;(KJV-1611) Eph 6:15 Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:16 ============ Eph 6:16 Above all, taking the shield of faith, wherewith ye shall be able to quench all the fiery darts of the wicked.(KJV-1611) Eph 6:16 Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:17 ============ Eph 6:17 And take the helmet of salvation, and the sword of the Spirit, which is the word of God:(KJV-1611) Eph 6:17 Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:18 ============ Eph 6:18 Praying always with all prayer and supplication in the Spirit, and watching thereunto with all perseverance and supplication for all saints;(KJV-1611) Eph 6:18 Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:19 ============ Eph 6:19 And for me, that utterance may be given unto me, that I may open my mouth boldly, to make known the mystery of the gospel,(KJV-1611) Eph 6:19 Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:20 ============ Eph 6:20 For which I am an ambassador in bonds: that therein I may speak boldly, as I ought to speak.(KJV-1611) Eph 6:20 Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:21 ============ Eph 6:21 But that ye also may know my affairs, and how I do, Tychicus, a beloved brother and faithful minister in the Lord, shall make known to you all things:(KJV-1611) Eph 6:21 Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Seyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m' ap mache.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:22 ============ Eph 6:22 Whom I have sent unto you for the same purpose, that ye might know our affairs, and that he might comfort your hearts.(KJV-1611) Eph 6:22 M'ap voye l' tout espre pou l' sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouraj nou.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:23 ============ Eph 6:23 Peace be to the brethren, and love with faith, from God the Father and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Eph 6:23 Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Ephesians 6:24 ============ Eph 6:24 Grace be with all them that love our Lord Jesus Christ in sincerity. Amen.(KJV-1611) Eph 6:24 benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= Philippians 1:1 ============ Phi 1:1 Paul and Timotheus, the servants of Jesus Christ, to all the saints in Christ Jesus which are at Philippi, with the bishops and deacons:(KJV-1611) Phi 1:1 Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou.(Creole-HT) ======= Philippians 1:2 ============ Phi 1:2 Grace be unto you, and peace, from God our Father, and from the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Phi 1:2 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Philippians 1:3 ============ Phi 1:3 I thank my God upon every remembrance of you,(KJV-1611) Phi 1:3 Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m' frape sou nou.(Creole-HT) ======= Philippians 1:4 ============ Phi 1:4 Always in every prayer of mine for you all making request with joy,(KJV-1611) Phi 1:4 Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l' ak kè kontan,(Creole-HT) ======= Philippians 1:5 ============ Phi 1:5 For your fellowship in the gospel from the first day until now;(KJV-1611) Phi 1:5 poutèt jan nou te ede m' gaye bon nouvèl la, depi premye jou a jouk koulye a.(Creole-HT) ======= Philippians 1:6 ============ Phi 1:6 Being confident of this very thing, that he which hath begun a good work in you will perform it until the day of Jesus Christ:(KJV-1611) Phi 1:6 Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.(Creole-HT) ======= Philippians 1:7 ============ Phi 1:7 Even as it is meet for me to think this of you all, because I have you in my heart; inasmuch as both in my bonds, and in the defence and confirmation of the gospel, ye all are partakers of my grace.(KJV-1611) Phi 1:7 Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.(Creole-HT) ======= Philippians 1:8 ============ Phi 1:8 For God is my record, how greatly I long after you all in the bowels of Jesus Christ.(KJV-1611) Phi 1:8 Mwen pran Bondye sèvi m' temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki soti nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Philippians 1:9 ============ Phi 1:9 And this I pray, that your love may abound yet more and more in knowledge and in all judgment;(KJV-1611) Phi 1:9 Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l' pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,(Creole-HT) ======= Philippians 1:10 ============ Phi 1:10 That ye may approve things that are excellent; that ye may be sincere and without offence till the day of Christ.(KJV-1611) Phi 1:10 pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.(Creole-HT) ======= Philippians 1:11 ============ Phi 1:11 Being filled with the fruits of righteousness, which are by Jesus Christ, unto the glory and praise of God.(KJV-1611) Phi 1:11 Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.(Creole-HT) ======= Philippians 1:12 ============ Phi 1:12 But I would ye should understand, brethren, that the things which happened unto me have fallen out rather unto the furtherance of the gospel;(KJV-1611) Phi 1:12 Frè m' yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m' lan, yo pi fè travay predikasyon bon nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay.(Creole-HT) ======= Philippians 1:13 ============ Phi 1:13 So that my bonds in Christ are manifest in all the palace, and in all other places;(KJV-1611) Phi 1:13 Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m' nan prizon.(Creole-HT) ======= Philippians 1:14 ============ Phi 1:14 And many of the brethren in the Lord, waxing confident by my bonds, are much more bold to speak the word without fear.(KJV-1611) Phi 1:14 Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m' nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Seyè a. Sa ba yo plis kouraj koulye a pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.(Creole-HT) ======= Philippians 1:15 ============ Phi 1:15 Some indeed preach Christ even of envy and strife; and some also of good will:(KJV-1611) Phi 1:15 Gen ladan yo k'ap fè konnen Kris la paske jalouzi moute yo nan tèt, yo ta renmen ban m' traka. Se vre. Men, gen lòt tou k'ap fè l' ak bon lide nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Philippians 1:16 ============ Phi 1:16 The one preach Christ of contention, not sincerely, supposing to add affliction to my bonds:(KJV-1611) Phi 1:16 Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= Philippians 1:17 ============ Phi 1:17 But the other of love, knowing that I am set for the defence of the gospel.(KJV-1611) Phi 1:17 Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l' pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l' pou chache m' kont. Yo konprann yo ka fè m' lapenn antan m' nan prizon an.(Creole-HT) ======= Philippians 1:18 ============ Phi 1:18 What then? notwithstanding, every way, whether in pretence, or in truth, Christ is preached; and I therein do rejoice, yea, and will rejoice.(KJV-1611) Phi 1:18 Men, sa pa fè m' anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m' kontan. M'ap pi kontan toujou,(Creole-HT) ======= Philippians 1:19 ============ Phi 1:19 For I know that this shall turn to my salvation through your prayer, and the supply of the Spirit of Jesus Christ,(KJV-1611) Phi 1:19 paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 1:20 ============ Phi 1:20 According to my earnest expectation and my hope, that in nothing I shall be ashamed, but that with all boldness, as always, so now also Christ shall be magnified in my body, whether it be by life, or by death.(KJV-1611) Phi 1:20 Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.(Creole-HT) ======= Philippians 1:21 ============ Phi 1:21 For to me to live is Christ, and to die is gain.(KJV-1611) Phi 1:21 Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 1:22 ============ Phi 1:22 But if I live in the flesh, this is the fruit of my labour: yet what I shall choose I wot not.(KJV-1611) Phi 1:22 Men, si antan m'ap viv sou tè a toujou, mwen ka fè kèk travay ankò pou Seyè a, nan ka sa a, mwen pa konn sa m' pito.(Creole-HT) ======= Philippians 1:23 ============ Phi 1:23 For I am in a strait betwixt two, having a desire to depart, and to be with Christ; which is far better:(KJV-1611) Phi 1:23 Mwen ta renmen fè tou de: Mwen ta renmen mouri pou m' ta avè Kris la. Sa ta pi bon anpil pou mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 1:24 ============ Phi 1:24 Nevertheless to abide in the flesh is more needful for you.(KJV-1611) Phi 1:24 Men, li ta pi bon pou nou pou m' rete viv sou latè.(Creole-HT) ======= Philippians 1:25 ============ Phi 1:25 And having this confidence, I know that I shall abide and continue with you all for your furtherance and joy of faith;(KJV-1611) Phi 1:25 Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m' rete, pou m' ka viv ansanm ak nou, pou m' ede nou grandi, pou m' ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye.(Creole-HT) ======= Philippians 1:26 ============ Phi 1:26 That your rejoicing may be more abundant in Jesus Christ for me by my coming to you again.(KJV-1611) Phi 1:26 Konsa, lè m'a tounen bò kote nou, m'a ban nou yon bèl okazyon pou nou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.(Creole-HT) ======= Philippians 1:27 ============ Phi 1:27 Only let your conversation be as it becometh the gospel of Christ: that whether I come and see you, or else be absent, I may hear of your affairs, that ye stand fast in one spirit, with one mind striving together for the faith of the gospel;(KJV-1611) Phi 1:27 Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.(Creole-HT) ======= Philippians 1:28 ============ Phi 1:28 And in nothing terrified by your adversaries: which is to them an evident token of perdition, but to you of salvation, and that of God.(KJV-1611) Phi 1:28 Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.(Creole-HT) ======= Philippians 1:29 ============ Phi 1:29 For unto you it is given in the behalf of Christ, not only to believe on him, but also to suffer for his sake;(KJV-1611) Phi 1:29 Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.(Creole-HT) ======= Philippians 1:30 ============ Phi 1:30 Having the same conflict which ye saw in me, and now hear to be in me.(KJV-1611) Phi 1:30 Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk koulye a, jan nou konnen an.(Creole-HT) ======= Philippians 2:1 ============ Phi 2:1 If there be therefore any consolation in Christ, if any comfort of love, if any fellowship of the Spirit, if any bowels and mercies,(KJV-1611) Phi 2:1 Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,(Creole-HT) ======= Philippians 2:2 ============ Phi 2:2 Fulfil ye my joy, that ye be likeminded, having the same love, being of one accord, of one mind.(KJV-1611) Phi 2:2 enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.(Creole-HT) ======= Philippians 2:3 ============ Phi 2:3 Let nothing be done through strife or vainglory; but in lowliness of mind let each esteem other better than themselves.(KJV-1611) Phi 2:3 Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.(Creole-HT) ======= Philippians 2:4 ============ Phi 2:4 Look not every man on his own things, but every man also on the things of others.(KJV-1611) Phi 2:4 Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou.(Creole-HT) ======= Philippians 2:5 ============ Phi 2:5 Let this mind be in you, which was also in Christ Jesus:(KJV-1611) Phi 2:5 Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la.(Creole-HT) ======= Philippians 2:6 ============ Phi 2:6 Who, being in the form of God, thought it not robbery to be equal with God:(KJV-1611) Phi 2:6 Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs.(Creole-HT) ======= Philippians 2:7 ============ Phi 2:7 But made himself of no reputation, and took upon him the form of a servant, and was made in the likeness of men:(KJV-1611) Phi 2:7 Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun.(Creole-HT) ======= Philippians 2:8 ============ Phi 2:8 And being found in fashion as a man, he humbled himself, and became obedient unto death, even the death of the cross.(KJV-1611) Phi 2:8 Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.(Creole-HT) ======= Philippians 2:9 ============ Phi 2:9 Wherefore God also hath highly exalted him, and given him a name which is above every name:(KJV-1611) Phi 2:9 Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non.(Creole-HT) ======= Philippians 2:10 ============ Phi 2:10 That at the name of Jesus every knee should bow, of things in heaven, and things in earth, and things under the earth;(KJV-1611) Phi 2:10 Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a.(Creole-HT) ======= Philippians 2:11 ============ Phi 2:11 And that every tongue should confess that Jesus Christ is Lord, to the glory of God the Father.(KJV-1611) Phi 2:11 Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.(Creole-HT) ======= Philippians 2:12 ============ Phi 2:12 Wherefore, my beloved, as ye have always obeyed, not as in my presence only, but now much more in my absence, work out your own salvation with fear and trembling.(KJV-1611) Phi 2:12 Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.(Creole-HT) ======= Philippians 2:13 ============ Phi 2:13 For it is God which worketh in you both to will and to do of his good pleasure.(KJV-1611) Phi 2:13 Paske, se Bondye menm k'ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l' plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l' vre.(Creole-HT) ======= Philippians 2:14 ============ Phi 2:14 Do all things without murmurings and disputings:(KJV-1611) Phi 2:14 Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,(Creole-HT) ======= Philippians 2:15 ============ Phi 2:15 That ye may be blameless and harmless, the sons of God, without rebuke, in the midst of a crooked and perverse nation, among whom ye shine as lights in the world;(KJV-1611) Phi 2:15 pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la,(Creole-HT) ======= Philippians 2:16 ============ Phi 2:16 Holding forth the word of life; that I may rejoice in the day of Christ, that I have not run in vain, neither laboured in vain.(KJV-1611) Phi 2:16 lè n'ap ba yo mesaj ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m' kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pa t' fatige kò m' pou gremesi, mwen pa t' travay mal.(Creole-HT) ======= Philippians 2:17 ============ Phi 2:17 Yea, and if I be offered upon the sacrifice and service of your faith, I joy, and rejoice with you all.(KJV-1611) Phi 2:17 Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 2:18 ============ Phi 2:18 For the same cause also do ye joy, and rejoice with me.(KJV-1611) Phi 2:18 Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan, se pou nou fè kè m' kontan ansanm avè nou tou.(Creole-HT) ======= Philippians 2:19 ============ Phi 2:19 But I trust in the Lord Jesus to send Timotheus shortly unto you, that I also may be of good comfort, when I know your state.(KJV-1611) Phi 2:19 Si se volonte Seyè Jezi, mwen fè lide voye Timote kote nou anvan lontan, pou lè m' pran nouvèl nou sa ka ban m' ankourajman.(Creole-HT) ======= Philippians 2:20 ============ Phi 2:20 For I have no man likeminded, who will naturally care for your state.(KJV-1611) Phi 2:20 Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m', ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt.(Creole-HT) ======= Philippians 2:21 ============ Phi 2:21 For all seek their own, not the things which are Jesus Christ's.(KJV-1611) Phi 2:21 Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.(Creole-HT) ======= Philippians 2:22 ============ Phi 2:22 But ye know the proof of him, that, as a son with the father, he hath served with me in the gospel.(KJV-1611) Phi 2:22 Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= Philippians 2:23 ============ Phi 2:23 Him therefore I hope to send presently, so soon as I shall see how it will go with me.(KJV-1611) Phi 2:23 Mwen fè lide voye l' kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 2:24 ============ Phi 2:24 But I trust in the Lord that I also myself shall come shortly.(KJV-1611) Phi 2:24 Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan.(Creole-HT) ======= Philippians 2:25 ============ Phi 2:25 Yet I supposed it necessary to send to you Epaphroditus, my brother, and companion in labour, and fellowsoldier, but your messenger, and he that ministered to my wants.(KJV-1611) Phi 2:25 Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m', ki te la avè m' nan tout batay. Se nou menm ki te voye l' vin ban m' konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m' voye l' tounen ban nou.(Creole-HT) ======= Philippians 2:26 ============ Phi 2:26 For he longed after you all, and was full of heaviness, because that ye had heard that he had been sick.(KJV-1611) Phi 2:26 Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l' te malad.(Creole-HT) ======= Philippians 2:27 ============ Phi 2:27 For indeed he was sick nigh unto death: but God had mercy on him; and not on him only, but on me also, lest I should have sorrow upon sorrow.(KJV-1611) Phi 2:27 Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò.(Creole-HT) ======= Philippians 2:28 ============ Phi 2:28 I sent him therefore the more carefully, that, when ye see him again, ye may rejoice, and that I may be the less sorrowful.(KJV-1611) Phi 2:28 Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l' ankò, epi pou m' ka gen mwens lapenn.(Creole-HT) ======= Philippians 2:29 ============ Phi 2:29 Receive him therefore in the Lord with all gladness; and hold such in reputation:(KJV-1611) Phi 2:29 Konsa, resevwa l' ak kè kontan tankou yon frè nan Seyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit,(Creole-HT) ======= Philippians 2:30 ============ Phi 2:30 Because for the work of Christ he was nigh unto death, not regarding his life, to supply your lack of service toward me.(KJV-1611) Phi 2:30 paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li riske lavi l' pou l' te ka ban mwen konkou nou menm nou pa t' kapab ban mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 3:1 ============ Phi 3:1 Finally, my brethren, rejoice in the Lord. To write the same things to you, to me indeed is not grievous, but for you it is safe.(KJV-1611) Phi 3:1 Koulye a, frè m' yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m' anyen pou m' repete sa m' te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.(Creole-HT) ======= Philippians 3:2 ============ Phi 3:2 Beware of dogs, beware of evil workers, beware of the concision.(KJV-1611) Phi 3:2 Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou.(Creole-HT) ======= Philippians 3:3 ============ Phi 3:3 For we are the circumcision, which worship God in the spirit, and rejoice in Christ Jesus, and have no confidence in the flesh.(KJV-1611) Phi 3:3 Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.(Creole-HT) ======= Philippians 3:4 ============ Phi 3:4 Though I might also have confidence in the flesh. If any other man thinketh that he hath whereof he might trust in the flesh, I more:(KJV-1611) Phi 3:4 Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m' te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l' pase yo.(Creole-HT) ======= Philippians 3:5 ============ Phi 3:5 Circumcised the eighth day, of the stock of Israel, of the tribe of Benjamin, an Hebrew of the Hebrews; as touching the law, a Pharisee;(KJV-1611) Phi 3:5 Mwen te gen wit jou depi m' te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san . Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.(Creole-HT) ======= Philippians 3:6 ============ Phi 3:6 Concerning zeal, persecuting the church; touching the righteousness which is in the law, blameless.(KJV-1611) Phi 3:6 Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.(Creole-HT) ======= Philippians 3:7 ============ Phi 3:7 But what things were gain to me, those I counted loss for Christ.(KJV-1611) Phi 3:7 Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.(Creole-HT) ======= Philippians 3:8 ============ Phi 3:8 Yea doubtless, and I count all things but loss for the excellency of the knowledge of Christ Jesus my Lord: for whom I have suffered the loss of all things, and do count them but dung, that I may win Christ,(KJV-1611) Phi 3:8 Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la,(Creole-HT) ======= Philippians 3:9 ============ Phi 3:9 And be found in him, not having mine own righteousness, which is of the law, but that which is through the faith of Christ, the righteousness which is of God by faith:(KJV-1611) Phi 3:9 pou m' ka viv ansanm avè l' nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m' gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.(Creole-HT) ======= Philippians 3:10 ============ Phi 3:10 That I may know him, and the power of his resurrection, and the fellowship of his sufferings, being made conformable unto his death;(KJV-1611) Phi 3:10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou,(Creole-HT) ======= Philippians 3:11 ============ Phi 3:11 If by any means I might attain unto the resurrection of the dead.(KJV-1611) Phi 3:11 avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Philippians 3:12 ============ Phi 3:12 Not as though I had already attained, either were already perfect: but I follow after, if that I may apprehend that for which also I am apprehended of Christ Jesus.(KJV-1611) Phi 3:12 Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m' prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m'ap kouri sou kous mwen pou m' wè si m' ka mete men sou kote m' dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l' fin mete men sou mwen deja.(Creole-HT) ======= Philippians 3:13 ============ Phi 3:13 Brethren, I count not myself to have apprehended: but this one thing I do, forgetting those things which are behind, and reaching forth unto those things which are before,(KJV-1611) Phi 3:13 Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan.(Creole-HT) ======= Philippians 3:14 ============ Phi 3:14 I press toward the mark for the prize of the high calling of God in Christ Jesus.(KJV-1611) Phi 3:14 Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.(Creole-HT) ======= Philippians 3:15 ============ Phi 3:15 Let us therefore, as many as be perfect, be thus minded: and if in any thing ye be otherwise minded, God shall reveal even this unto you.(KJV-1611) Phi 3:15 Nou tout ki byen grandi nan lafwa, se menm lide sa a pou n' gen nan tèt nou tou. Men, si gen moun pami nou ki gen lòt lide sou kèk pwen, Bondye va fè yo wè pi klè sou sa.(Creole-HT) ======= Philippians 3:16 ============ Phi 3:16 Nevertheless, whereto we have already attained, let us walk by the same rule, let us mind the same thing.(KJV-1611) Phi 3:16 Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n' te konmanse a.(Creole-HT) ======= Philippians 3:17 ============ Phi 3:17 Brethren, be followers together of me, and mark them which walk so as ye have us for an ensample.(KJV-1611) Phi 3:17 Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.(Creole-HT) ======= Philippians 3:18 ============ Phi 3:18 (For many walk, of whom I have told you often, and now tell you even weeping, that they are the enemies of the cross of Christ:(KJV-1611) Phi 3:18 Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:(Creole-HT) ======= Philippians 3:19 ============ Phi 3:19 Whose end is destruction, whose God is their belly, and whose glory is in their shame, who mind earthly things.)(KJV-1611) Phi 3:19 Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Philippians 3:20 ============ Phi 3:20 For our conversation is in heaven; from whence also we look for the Saviour, the Lord Jesus Christ:(KJV-1611) Phi 3:20 Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la.(Creole-HT) ======= Philippians 3:21 ============ Phi 3:21 Who shall change our vile body, that it may be fashioned like unto his glorious body, according to the working whereby he is able even to subdue all things unto himself.(KJV-1611) Phi 3:21 Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.(Creole-HT) ======= Philippians 4:1 ============ Phi 4:1 Therefore, my brethren dearly beloved and longed for, my joy and crown, so stand fast in the Lord, my dearly beloved.(KJV-1611) Phi 4:1 Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Philippians 4:2 ============ Phi 4:2 I beseech Euodias, and beseech Syntyche, that they be of the same mind in the Lord.(KJV-1611) Phi 4:2 M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Philippians 4:3 ============ Phi 4:3 And I intreat thee also, true yokefellow, help those women which laboured with me in the gospel, with Clement also, and with other my fellowlabourers, whose names are in the book of life.(KJV-1611) Phi 4:3 Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.(Creole-HT) ======= Philippians 4:4 ============ Phi 4:4 Rejoice in the Lord alway: and again I say, Rejoice.(KJV-1611) Phi 4:4 Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil.(Creole-HT) ======= Philippians 4:5 ============ Phi 4:5 Let your moderation be known unto all men. The Lord is at hand.(KJV-1611) Phi 4:5 Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.(Creole-HT) ======= Philippians 4:6 ============ Phi 4:6 Be careful for nothing; but in every thing by prayer and supplication with thanksgiving let your requests be made known unto God.(KJV-1611) Phi 4:6 Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= Philippians 4:7 ============ Phi 4:7 And the peace of God, which passeth all understanding, shall keep your hearts and minds through Christ Jesus.(KJV-1611) Phi 4:7 Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Philippians 4:8 ============ Phi 4:8 Finally, brethren, whatsoever things are true, whatsoever things are honest, whatsoever things are just, whatsoever things are pure, whatsoever things are lovely, whatsoever things are of good report; if there be any virtue, and if there be any praise, think on these things.(KJV-1611) Phi 4:8 Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.(Creole-HT) ======= Philippians 4:9 ============ Phi 4:9 Those things, which ye have both learned, and received, and heard, and seen in me, do: and the God of peace shall be with you.(KJV-1611) Phi 4:9 Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m', ni sa nou te tande m' di ak tou sa nou te wè m' fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.(Creole-HT) ======= Philippians 4:10 ============ Phi 4:10 But I rejoiced in the Lord greatly, that now at the last your care of me hath flourished again; wherein ye were also careful, but ye lacked opportunity.(KJV-1611) Phi 4:10 Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m' wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankò jwenn okazyon fè m' wè jan nou fèb pou mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 4:11 ============ Phi 4:11 Not that I speak in respect of want: for I have learned, in whatsoever state I am, therewith to be content.(KJV-1611) Phi 4:11 Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen.(Creole-HT) ======= Philippians 4:12 ============ Phi 4:12 I know both how to be abased, and I know how to abound: every where and in all things I am instructed both to be full and to be hungry, both to abound and to suffer need.(KJV-1611) Phi 4:12 Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.(Creole-HT) ======= Philippians 4:13 ============ Phi 4:13 I can do all things through Christ which strengtheneth me.(KJV-1611) Phi 4:13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.(Creole-HT) ======= Philippians 4:14 ============ Phi 4:14 Notwithstanding ye have well done, that ye did communicate with my affliction.(KJV-1611) Phi 4:14 Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo.(Creole-HT) ======= Philippians 4:15 ============ Phi 4:15 Now ye Philippians know also, that in the beginning of the gospel, when I departed from Macedonia, no church communicated with me as concerning giving and receiving, but ye only.(KJV-1611) Phi 4:15 Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou.(Creole-HT) ======= Philippians 4:16 ============ Phi 4:16 For even in Thessalonica ye sent once and again unto my necessity.(KJV-1611) Phi 4:16 Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.(Creole-HT) ======= Philippians 4:17 ============ Phi 4:17 Not because I desire a gift: but I desire fruit that may abound to your account.(KJV-1611) Phi 4:17 Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.(Creole-HT) ======= Philippians 4:18 ============ Phi 4:18 But I have all, and abound: I am full, having received of Epaphroditus the things which were sent from you, an odour of a sweet smell, a sacrifice acceptable, wellpleasing to God.(KJV-1611) Phi 4:18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.(Creole-HT) ======= Philippians 4:19 ============ Phi 4:19 But my God shall supply all your need according to his riches in glory by Christ Jesus.(KJV-1611) Phi 4:19 Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.(Creole-HT) ======= Philippians 4:20 ============ Phi 4:20 Now unto God and our Father be glory for ever and ever. Amen.(KJV-1611) Phi 4:20 Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Philippians 4:21 ============ Phi 4:21 Salute every saint in Christ Jesus. The brethren which are with me greet you.(KJV-1611) Phi 4:21 Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m' yo voye bonjou pou nou.(Creole-HT) ======= Philippians 4:22 ============ Phi 4:22 All the saints salute you, chiefly they that are of Caesar's household.(KJV-1611) Phi 4:22 Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.(Creole-HT) ======= Philippians 4:23 ============ Phi 4:23 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.(KJV-1611) Phi 4:23 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè a, toujou avè nou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:1 ============ Col 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, and Timotheus our brother,(KJV-1611) Col 1:1 Se mwen menm Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak Timote, frè nou, k'ap ekri lèt sa a(Creole-HT) ======= Colossians 1:2 ============ Col 1:2 To the saints and faithful brethren in Christ which are at Colosse: Grace be unto you, and peace, from God our Father and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Col 1:2 voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Colossians 1:3 ============ Col 1:3 We give thanks to God and the Father of our Lord Jesus Christ, praying always for you,(KJV-1611) Col 1:3 Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:4 ============ Col 1:4 Since we heard of your faith in Christ Jesus, and of the love which ye have to all the saints,(KJV-1611) Col 1:4 Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Colossians 1:5 ============ Col 1:5 For the hope which is laid up for you in heaven, whereof ye heard before in the word of the truth of the gospel;(KJV-1611) Col 1:5 Depi premye jou yo te fè nou konnen bon nouvèl la ki yon mesaj ki vre, nou te gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen tout konfyans sa a ak tout renmen sa a nan kè nou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:6 ============ Col 1:6 Which is come unto you, as it is in all the world; and bringeth forth fruit, as it doth also in you, since the day ye heard of it, and knew the grace of God in truth:(KJV-1611) Col 1:6 Bon nouvel la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bon nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l' toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Colossians 1:7 ============ Col 1:7 As ye also learned of Epaphras our dear fellowservant, who is for you a faithful minister of Christ;(KJV-1611) Col 1:7 Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m', ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m' nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 1:8 ============ Col 1:8 Who also declared unto us your love in the Spirit.(KJV-1611) Col 1:8 Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:9 ============ Col 1:9 For this cause we also, since the day we heard it, do not cease to pray for you, and to desire that ye might be filled with the knowledge of his will in all wisdom and spiritual understanding;(KJV-1611) Col 1:9 Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.(Creole-HT) ======= Colossians 1:10 ============ Col 1:10 That ye might walk worthy of the Lord unto all pleasing, being fruitful in every good work, and increasing in the knowledge of God;(KJV-1611) Col 1:10 Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.(Creole-HT) ======= Colossians 1:11 ============ Col 1:11 Strengthened with all might, according to his glorious power, unto all patience and longsuffering with joyfulness;(KJV-1611) Col 1:11 Mwen mande Bondye pou l' fòtifye nou tout jan ak bèl pouvwa li pou nou ka sipòte tout bagay avèk pasyans.(Creole-HT) ======= Colossians 1:12 ============ Col 1:12 Giving thanks unto the Father, which hath made us meet to be partakers of the inheritance of the saints in light:(KJV-1611) Col 1:12 Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l' yo nan peyi limyè a.(Creole-HT) ======= Colossians 1:13 ============ Col 1:13 Who hath delivered us from the power of darkness, and hath translated us into the kingdom of his dear Son:(KJV-1611) Col 1:13 Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.(Creole-HT) ======= Colossians 1:14 ============ Col 1:14 In whom we have redemption through his blood, even the forgiveness of sins:(KJV-1611) Col 1:14 Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.(Creole-HT) ======= Colossians 1:15 ============ Col 1:15 Who is the image of the invisible God, the firstborn of every creature:(KJV-1611) Col 1:15 Kris se pòtre Bondye, Bondye nou pa ka wè a. Se li menm ki premye pitit li. Li te la anvan tou sa Bondye te kreye.(Creole-HT) ======= Colossians 1:16 ============ Col 1:16 For by him were all things created, that are in heaven, and that are in earth, visible and invisible, whether they be thrones, or dominions, or principalities, or powers: all things were created by him, and for him:(KJV-1611) Col 1:16 Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.(Creole-HT) ======= Colossians 1:17 ============ Col 1:17 And he is before all things, and by him all things consist.(KJV-1611) Col 1:17 Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.(Creole-HT) ======= Colossians 1:18 ============ Col 1:18 And he is the head of the body, the church: who is the beginning, the firstborn from the dead; that in all things he might have the preeminence.(KJV-1611) Col 1:18 Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.(Creole-HT) ======= Colossians 1:19 ============ Col 1:19 For it pleased the Father that in him should all fulness dwell;(KJV-1611) Col 1:19 Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:20 ============ Col 1:20 And, having made peace through the blood of his cross, by him to reconcile all things unto himself; by him, I say, whether they be things in earth, or things in heaven.(KJV-1611) Col 1:20 Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.(Creole-HT) ======= Colossians 1:21 ============ Col 1:21 And you, that were sometime alienated and enemies in your mind by wicked works, yet now hath he reconciled(KJV-1611) Col 1:21 Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.(Creole-HT) ======= Colossians 1:22 ============ Col 1:22 In the body of his flesh through death, to present you holy and unblameable and unreproveable in his sight:(KJV-1611) Col 1:22 Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.(Creole-HT) ======= Colossians 1:23 ============ Col 1:23 If ye continue in the faith grounded and settled, and be not moved away from the hope of the gospel, which ye have heard, and which was preached to every creature which is under heaven; whereof I Paul am made a minister;(KJV-1611) Col 1:23 Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.(Creole-HT) ======= Colossians 1:24 ============ Col 1:24 Who now rejoice in my sufferings for you, and fill up that which is behind of the afflictions of Christ in my flesh for his body's sake, which is the church:(KJV-1611) Col 1:24 Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.(Creole-HT) ======= Colossians 1:25 ============ Col 1:25 Whereof I am made a minister, according to the dispensation of God which is given to me for you, to fulfil the word of God;(KJV-1611) Col 1:25 Wi, m'ap sèvi legliz la koulye a dapre travay Bondye ban m' fè pou nou an: travay sa a se pou m' anonse tout bagay ki nan mesaj li a,(Creole-HT) ======= Colossians 1:26 ============ Col 1:26 Even the mystery which hath been hid from ages and from generations, but now is made manifest to his saints:(KJV-1611) Col 1:26 pou m' fè tout moun konnen sekrè li te kenbe kache depi tout tan kifè pesonn pa t' konnen l'. Men koulye a, li devwale l' bay tout moun ki pou li.(Creole-HT) ======= Colossians 1:27 ============ Col 1:27 To whom God would make known what is the riches of the glory of this mystery among the Gentiles; which is Christ in you, the hope of glory:(KJV-1611) Col 1:27 Paske, Bondye vle fè moun pa l' yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris la ap viv nan kè nou tou, li ban nou espwa nou gen pou n' patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.(Creole-HT) ======= Colossians 1:28 ============ Col 1:28 Whom we preach, warning every man, and teaching every man in all wisdom; that we may present every man perfect in Christ Jesus:(KJV-1611) Col 1:28 Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 1:29 ============ Col 1:29 Whereunto I also labour, striving according to his working, which worketh in me mightily.(KJV-1611) Col 1:29 Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.(Creole-HT) ======= Colossians 2:1 ============ Col 2:1 For I would that ye knew what great conflict I have for you, and for them at Laodicea, and for as many as have not seen my face in the flesh;(KJV-1611) Col 2:1 Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen.(Creole-HT) ======= Colossians 2:2 ============ Col 2:2 That their hearts might be comforted, being knit together in love, and unto all riches of the full assurance of understanding, to the acknowledgement of the mystery of God, and of the Father, and of Christ;(KJV-1611) Col 2:2 M'ap goumen pou yo ka gen fòs ak kouraj plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 2:3 ============ Col 2:3 In whom are hid all the treasures of wisdom and knowledge.(KJV-1611) Col 2:3 Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.(Creole-HT) ======= Colossians 2:4 ============ Col 2:4 And this I say, lest any man should beguile you with enticing words.(KJV-1611) Col 2:4 Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite.(Creole-HT) ======= Colossians 2:5 ============ Col 2:5 For though I be absent in the flesh, yet am I with you in the spirit, joying and beholding your order, and the stedfastness of your faith in Christ.(KJV-1611) Col 2:5 Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 2:6 ============ Col 2:6 As ye have therefore received Christ Jesus the Lord, so walk ye in him:(KJV-1611) Col 2:6 Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Seyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.(Creole-HT) ======= Colossians 2:7 ============ Col 2:7 Rooted and built up in him, and stablished in the faith, as ye have been taught, abounding therein with thanksgiving.(KJV-1611) Col 2:7 Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Colossians 2:8 ============ Col 2:8 Beware lest any man spoil you through philosophy and vain deceit, after the tradition of men, after the rudiments of the world, and not after Christ.(KJV-1611) Col 2:8 Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 2:9 ============ Col 2:9 For in him dwelleth all the fulness of the Godhead bodily.(KJV-1611) Col 2:9 Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye.(Creole-HT) ======= Colossians 2:10 ============ Col 2:10 And ye are complete in him, which is the head of all principality and power:(KJV-1611) Col 2:10 Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.(Creole-HT) ======= Colossians 2:11 ============ Col 2:11 In whom also ye are circumcised with the circumcision made without hands, in putting off the body of the sins of the flesh by the circumcision of Christ:(KJV-1611) Col 2:11 Nou menm k'ap viv ansanm nan Kris la, nou te sikonsi tou. Men, se pa t' moun ki te sikonsi nou. Sikonsizyon sa a soti nan Kris la ki delivre nou anba pouvwa lachè ki t'ap fè nou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= Colossians 2:12 ============ Col 2:12 Buried with him in baptism, wherein also ye are risen with him through the faith of the operation of God, who hath raised him from the dead.(KJV-1611) Col 2:12 Wi, lè yo te batize nou, nou te antere ansanm ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan ansanm avè l' tou, paske nou te kwè nan pouvwa Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.(Creole-HT) ======= Colossians 2:13 ============ Col 2:13 And you, being dead in your sins and the uncircumcision of your flesh, hath he quickened together with him, having forgiven you all trespasses;(KJV-1611) Col 2:13 Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo.(Creole-HT) ======= Colossians 2:14 ============ Col 2:14 Blotting out the handwriting of ordinances that was against us, which was contrary to us, and took it out of the way, nailing it to his cross;(KJV-1611) Col 2:14 Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a.(Creole-HT) ======= Colossians 2:15 ============ Col 2:15 And having spoiled principalities and powers, he made a shew of them openly, triumphing over them in it.(KJV-1611) Col 2:15 Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.(Creole-HT) ======= Colossians 2:16 ============ Col 2:16 Let no man therefore judge you in meat, or in drink, or in respect of an holyday, or of the new moon, or of the sabbath days:(KJV-1611) Col 2:16 Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo.(Creole-HT) ======= Colossians 2:17 ============ Col 2:17 Which are a shadow of things to come; but the body is of Christ.(KJV-1611) Col 2:17 Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye.(Creole-HT) ======= Colossians 2:18 ============ Col 2:18 Let no man beguile you of your reward in a voluntary humility and worshipping of angels, intruding into those things which he hath not seen, vainly puffed up by his fleshly mind,(KJV-1611) Col 2:18 Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.(Creole-HT) ======= Colossians 2:19 ============ Col 2:19 And not holding the Head, from which all the body by joints and bands having nourishment ministered, and knit together, increaseth with the increase of God.(KJV-1611) Col 2:19 Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la.(Creole-HT) ======= Colossians 2:20 ============ Col 2:20 Wherefore if ye be dead with Christ from the rudiments of the world, why, as though living in the world, are ye subject to ordinances,(KJV-1611) Col 2:20 Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di:(Creole-HT) ======= Colossians 2:21 ============ Col 2:21 (Touch not; taste not; handle not;(KJV-1611) Col 2:21 pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa?(Creole-HT) ======= Colossians 2:22 ============ Col 2:22 Which all are to perish with the using;) after the commandments and doctrines of men?(KJV-1611) Col 2:22 Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Colossians 2:23 ============ Col 2:23 Which things have indeed a shew of wisdom in will worship, and humility, and neglecting of the body: not in any honour to the satisfying of the flesh.(KJV-1611) Col 2:23 Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.(Creole-HT) ======= Colossians 3:1 ============ Col 3:1 If ye then be risen with Christ, seek those things which are above, where Christ sitteth on the right hand of God.(KJV-1611) Col 3:1 Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.(Creole-HT) ======= Colossians 3:2 ============ Col 3:2 Set your affection on things above, not on things on the earth.(KJV-1611) Col 3:2 Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.(Creole-HT) ======= Colossians 3:3 ============ Col 3:3 For ye are dead, and your life is hid with Christ in God.(KJV-1611) Col 3:3 Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.(Creole-HT) ======= Colossians 3:4 ============ Col 3:4 When Christ, who is our life, shall appear, then shall ye also appear with him in glory.(KJV-1611) Col 3:4 Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= Colossians 3:5 ============ Col 3:5 Mortify therefore your members which are upon the earth; fornication, uncleanness, inordinate affection, evil concupiscence, and covetousness, which is idolatry:(KJV-1611) Col 3:5 Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).(Creole-HT) ======= Colossians 3:6 ============ Col 3:6 For which things' sake the wrath of God cometh on the children of disobedience:(KJV-1611) Col 3:6 Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.(Creole-HT) ======= Colossians 3:7 ============ Col 3:7 In the which ye also walked some time, when ye lived in them.(KJV-1611) Col 3:7 Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo.(Creole-HT) ======= Colossians 3:8 ============ Col 3:8 But now ye also put off all these; anger, wrath, malice, blasphemy, filthy communication out of your mouth.(KJV-1611) Col 3:8 Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.(Creole-HT) ======= Colossians 3:9 ============ Col 3:9 Lie not one to another, seeing that ye have put off the old man with his deeds;(KJV-1611) Col 3:9 Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.(Creole-HT) ======= Colossians 3:10 ============ Col 3:10 And have put on the new man, which is renewed in knowledge after the image of him that created him:(KJV-1611) Col 3:10 Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt.(Creole-HT) ======= Colossians 3:11 ============ Col 3:11 Where there is neither Greek nor Jew, circumcision nor uncircumcision, Barbarian, Scythian, bond nor free: but Christ is all, and in all.(KJV-1611) Col 3:11 Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.(Creole-HT) ======= Colossians 3:12 ============ Col 3:12 Put on therefore, as the elect of God, holy and beloved, bowels of mercies, kindness, humbleness of mind, meekness, longsuffering;(KJV-1611) Col 3:12 Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.(Creole-HT) ======= Colossians 3:13 ============ Col 3:13 Forbearing one another, and forgiving one another, if any man have a quarrel against any: even as Christ forgave you, so also do ye.(KJV-1611) Col 3:13 Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.(Creole-HT) ======= Colossians 3:14 ============ Col 3:14 And above all these things put on charity, which is the bond of perfectness.(KJV-1611) Col 3:14 Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Colossians 3:15 ============ Col 3:15 And let the peace of God rule in your hearts, to the which also ye are called in one body; and be ye thankful.(KJV-1611) Col 3:15 Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.(Creole-HT) ======= Colossians 3:16 ============ Col 3:16 Let the word of Christ dwell in you richly in all wisdom; teaching and admonishing one another in psalms and hymns and spiritual songs, singing with grace in your hearts to the Lord.(KJV-1611) Col 3:16 Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= Colossians 3:17 ============ Col 3:17 And whatsoever ye do in word or deed, do all in the name of the Lord Jesus, giving thanks to God and the Father by him.(KJV-1611) Col 3:17 Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.(Creole-HT) ======= Colossians 3:18 ============ Col 3:18 Wives, submit yourselves unto your own husbands, as it is fit in the Lord.(KJV-1611) Col 3:18 Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.(Creole-HT) ======= Colossians 3:19 ============ Col 3:19 Husbands, love your wives, and be not bitter against them.(KJV-1611) Col 3:19 Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.(Creole-HT) ======= Colossians 3:20 ============ Col 3:20 Children, obey your parents in all things: for this is well pleasing unto the Lord.(KJV-1611) Col 3:20 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= Colossians 3:21 ============ Col 3:21 Fathers, provoke not your children to anger, lest they be discouraged.(KJV-1611) Col 3:21 Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.(Creole-HT) ======= Colossians 3:22 ============ Col 3:22 Servants, obey in all things your masters according to the flesh; not with eyeservice, as menpleasers; but in singleness of heart, fearing God;(KJV-1611) Col 3:22 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Colossians 3:23 ============ Col 3:23 And whatsoever ye do, do it heartily, as to the Lord, and not unto men;(KJV-1611) Col 3:23 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.(Creole-HT) ======= Colossians 3:24 ============ Col 3:24 Knowing that of the Lord ye shall receive the reward of the inheritance: for ye serve the Lord Christ.(KJV-1611) Col 3:24 Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.(Creole-HT) ======= Colossians 3:25 ============ Col 3:25 But he that doeth wrong shall receive for the wrong which he hath done: and there is no respect of persons.(KJV-1611) Col 3:25 Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= Colossians 4:1 ============ Col 4:1 Masters, give unto your servants that which is just and equal; knowing that ye also have a Master in heaven.(KJV-1611) Col 4:1 Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.(Creole-HT) ======= Colossians 4:2 ============ Col 4:2 Continue in prayer, and watch in the same with thanksgiving;(KJV-1611) Col 4:2 Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= Colossians 4:3 ============ Col 4:3 Withal praying also for us, that God would open unto us a door of utterance, to speak the mystery of Christ, for which I am also in bonds:(KJV-1611) Col 4:3 Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m' okazyon pou m' fè konnen pawòl li a, pou m' fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon koulye a.(Creole-HT) ======= Colossians 4:4 ============ Col 4:4 That I may make it manifest, as I ought to speak.(KJV-1611) Col 4:4 Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a.(Creole-HT) ======= Colossians 4:5 ============ Col 4:5 Walk in wisdom toward them that are without, redeeming the time.(KJV-1611) Col 4:5 Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.(Creole-HT) ======= Colossians 4:6 ============ Col 4:6 Let your speech be alway with grace, seasoned with salt, that ye may know how ye ought to answer every man.(KJV-1611) Col 4:6 Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.(Creole-HT) ======= Colossians 4:7 ============ Col 4:7 All my state shall Tychicus declare unto you, who is a beloved brother, and a faithful minister and fellowservant in the Lord:(KJV-1611) Col 4:7 Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen.(Creole-HT) ======= Colossians 4:8 ============ Col 4:8 Whom I have sent unto you for the same purpose, that he might know your estate, and comfort your hearts;(KJV-1611) Col 4:8 Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou.(Creole-HT) ======= Colossians 4:9 ============ Col 4:9 With Onesimus, a faithful and beloved brother, who is one of you. They shall make known unto you all things which are done here.(KJV-1611) Col 4:9 Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit.(Creole-HT) ======= Colossians 4:10 ============ Col 4:10 Aristarchus my fellowprisoner saluteth you, and Marcus, sister's son to Barnabas, (touching whom ye received commandments: if he come unto you, receive him;)(KJV-1611) Col 4:10 Aristak ki nan prizon ansanm avè m' voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l' byen si l' vin lakay nou).(Creole-HT) ======= Colossians 4:11 ============ Col 4:11 And Jesus, which is called Justus, who are of the circumcision. These only are my fellowworkers unto the kingdom of God, which have been a comfort unto me.(KJV-1611) Col 4:11 Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.(Creole-HT) ======= Colossians 4:12 ============ Col 4:12 Epaphras, who is one of you, a servant of Christ, saluteth you, always labouring fervently for you in prayers, that ye may stand perfect and complete in all the will of God.(KJV-1611) Col 4:12 Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.(Creole-HT) ======= Colossians 4:13 ============ Col 4:13 For I bear him record, that he hath a great zeal for you, and them that are in Laodicea, and them in Hierapolis.(KJV-1611) Col 4:13 Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l' anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo.(Creole-HT) ======= Colossians 4:14 ============ Col 4:14 Luke, the beloved physician, and Demas, greet you.(KJV-1611) Col 4:14 Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.(Creole-HT) ======= Colossians 4:15 ============ Col 4:15 Salute the brethren which are in Laodicea, and Nymphas, and the church which is in his house.(KJV-1611) Col 4:15 Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.(Creole-HT) ======= Colossians 4:16 ============ Col 4:16 And when this epistle is read among you, cause that it be read also in the church of the Laodiceans; and that ye likewise read the epistle from Laodicea.(KJV-1611) Col 4:16 Lè n'a fin li lèt sa a, voye l' bay legliz Lawodise a pou yo ka li l' tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an.(Creole-HT) ======= Colossians 4:17 ============ Col 4:17 And say to Archippus, Take heed to the ministry which thou hast received in the Lord, that thou fulfil it.(KJV-1611) Col 4:17 Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l' fè nan travay Seyè a, se pou l' fè l' byen.(Creole-HT) ======= Colossians 4:18 ============ Col 4:18 The salutation by the hand of me Paul. Remember my bonds. Grace be with you. Amen.(KJV-1611) Col 4:18 Se mwen menm Pòl, ak men pa m', k'ap ekri nou koulye a: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m' nan prizon an. benediksyon Bondye pou nou tout.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:1 ============ 1Th 1:1 Paul, and Silvanus, and Timotheus, unto the church of the Thessalonians which is in God the Father and in the Lord Jesus Christ: Grace be unto you, and peace, from God our Father, and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 1Th 1:1 Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz lavil Tesalonik yo, k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. Mwen mande pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:2 ============ 1Th 1:2 We give thanks to God always for you all, making mention of you in our prayers;(KJV-1611) 1Th 1:2 Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:3 ============ 1Th 1:3 Remembering without ceasing your work of faith, and labour of love, and patience of hope in our Lord Jesus Christ, in the sight of God and our Father;(KJV-1611) 1Th 1:3 Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:4 ============ 1Th 1:4 Knowing, brethren beloved, your election of God.(KJV-1611) 1Th 1:4 Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:5 ============ 1Th 1:5 For our gospel came not unto you in word only, but also in power, and in the Holy Ghost, and in much assurance; as ye know what manner of men we were among you for your sake.(KJV-1611) 1Th 1:5 Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:6 ============ 1Th 1:6 And ye became followers of us, and of the Lord, having received the word in much affliction, with joy of the Holy Ghost.(KJV-1611) 1Th 1:6 Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:7 ============ 1Th 1:7 So that ye were ensamples to all that believe in Macedonia and Achaia.(KJV-1611) 1Th 1:7 Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:8 ============ 1Th 1:8 For from you sounded out the word of the Lord not only in Macedonia and Achaia, but also in every place your faith to God-ward is spread abroad; so that we need not to speak any thing.(KJV-1611) 1Th 1:8 Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:9 ============ 1Th 1:9 For they themselves shew of us what manner of entering in we had unto you, and how ye turned to God from idols to serve the living and true God;(KJV-1611) 1Th 1:9 Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 1:10 ============ 1Th 1:10 And to wait for his Son from heaven, whom he raised from the dead, even Jesus, which delivered us from the wrath to come.(KJV-1611) 1Th 1:10 Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:1 ============ 1Th 2:1 For yourselves, brethren, know our entrance in unto you, that it was not in vain:(KJV-1611) 1Th 2:1 Nou menm frè m' yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:2 ============ 1Th 2:2 But even after that we had suffered before, and were shamefully entreated, as ye know, at Philippi, we were bold in our God to speak unto you the gospel of God with much contention.(KJV-1611) 1Th 2:2 Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:3 ============ 1Th 2:3 For our exhortation was not of deceit, nor of uncleanness, nor in guile:(KJV-1611) 1Th 2:3 Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:4 ============ 1Th 2:4 But as we were allowed of God to be put in trust with the gospel, even so we speak; not as pleasing men, but God, which trieth our hearts.(KJV-1611) 1Th 2:4 Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:5 ============ 1Th 2:5 For neither at any time used we flattering words, as ye know, nor a cloke of covetousness; God is witness:(KJV-1611) 1Th 2:5 Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:6 ============ 1Th 2:6 Nor of men sought we glory, neither of you, nor yet of others, when we might have been burdensome, as the apostles of Christ.(KJV-1611) 1Th 2:6 Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:7 ============ 1Th 2:7 But we were gentle among you, even as a nurse cherisheth her children:(KJV-1611) 1Th 2:7 Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m' te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k'ap pran swen pitit li yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:8 ============ 1Th 2:8 So being affectionately desirous of you, we were willing to have imparted unto you, not the gospel of God only, but also our own souls, because ye were dear unto us.(KJV-1611) 1Th 2:8 Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou!(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:9 ============ 1Th 2:9 For ye remember, brethren, our labour and travail: for labouring night and day, because we would not be chargeable unto any of you, we preached unto you the gospel of God.(KJV-1611) 1Th 2:9 Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:10 ============ 1Th 2:10 Ye are witnesses, and God also, how holily and justly and unblameably we behaved ourselves among you that believe:(KJV-1611) 1Th 2:10 Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:11 ============ 1Th 2:11 As ye know how we exhorted and comforted and charged every one of you, as a father doth his children,(KJV-1611) 1Th 2:11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:12 ============ 1Th 2:12 That ye would walk worthy of God, who hath called you unto his kingdom and glory.(KJV-1611) 1Th 2:12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:13 ============ 1Th 2:13 For this cause also thank we God without ceasing, because, when ye received the word of God which ye heard of us, ye received it not as the word of men, but as it is in truth, the word of God, which effectually worketh also in you that believe.(KJV-1611) 1Th 2:13 Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m' t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l' pou sa l' ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:14 ============ 1Th 2:14 For ye, brethren, became followers of the churches of God which in Judaea are in Christ Jesus: for ye also have suffered like things of your own countrymen, even as they have of the Jews:(KJV-1611) 1Th 2:14 Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:15 ============ 1Th 2:15 Who both killed the Lord Jesus, and their own prophets, and have persecuted us; and they please not God, and are contrary to all men:(KJV-1611) 1Th 2:15 Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m' ansanm ak zanmi m' yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:16 ============ 1Th 2:16 Forbidding us to speak to the Gentiles that they might be saved, to fill up their sins alway: for the wrath is come upon them to the uttermost.(KJV-1611) 1Th 2:16 Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:17 ============ 1Th 2:17 But we, brethren, being taken from you for a short time in presence, not in heart, endeavoured the more abundantly to see your face with great desire.(KJV-1611) 1Th 2:17 Pou mwen menm, frè m' yo, pa gen lontan depi m' kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m' toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:18 ============ 1Th 2:18 Wherefore we would have come unto you, even I Paul, once and again; but Satan hindered us.(KJV-1611) 1Th 2:18 Mwen pa konnen sa m' ta fè pou m' tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:19 ============ 1Th 2:19 For what is our hope, or joy, or crown of rejoicing? Are not even ye in the presence of our Lord Jesus Christ at his coming?(KJV-1611) 1Th 2:19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 2:20 ============ 1Th 2:20 For ye are our glory and joy.(KJV-1611) 1Th 2:20 Se nou menm ki ban m' satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:1 ============ 1Th 3:1 Wherefore when we could no longer forbear, we thought it good to be left at Athens alone;(KJV-1611) 1Th 3:1 Se konsa, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:2 ============ 1Th 3:2 And sent Timotheus, our brother, and minister of God, and our fellowlabourer in the gospel of Christ, to establish you, and to comfort you concerning your faith:(KJV-1611) 1Th 3:2 Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:3 ============ 1Th 3:3 That no man should be moved by these afflictions: for yourselves know that we are appointed thereunto.(KJV-1611) 1Th 3:3 pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:4 ============ 1Th 3:4 For verily, when we were with you, we told you before that we should suffer tribulation; even as it came to pass, and ye know.(KJV-1611) 1Th 3:4 Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:5 ============ 1Th 3:5 For this cause, when I could no longer forbear, I sent to know your faith, lest by some means the tempter have tempted you, and our labour be in vain.(KJV-1611) 1Th 3:5 Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen te voye l' pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pa t' pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pa t' pèdi.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:6 ============ 1Th 3:6 But now when Timotheus came from you unto us, and brought us good tidings of your faith and charity, and that ye have good remembrance of us always, desiring greatly to see us, as we also to see you:(KJV-1611) 1Th 3:6 Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:7 ============ 1Th 3:7 Therefore, brethren, we were comforted over you in all our affliction and distress by your faith:(KJV-1611) 1Th 3:7 Konsa, frè m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lè m' tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:8 ============ 1Th 3:8 For now we live, if ye stand fast in the Lord.(KJV-1611) 1Th 3:8 Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:9 ============ 1Th 3:9 For what thanks can we render to God again for you, for all the joy wherewith we joy for your sakes before our God;(KJV-1611) 1Th 3:9 Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m' kontan devan li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:10 ============ 1Th 3:10 Night and day praying exceedingly that we might see your face, and might perfect that which is lacking in your faith?(KJV-1611) 1Th 3:10 Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m' chans yon lè vizite nou ankò, pou m' ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:11 ============ 1Th 3:11 Now God himself and our Father, and our Lord Jesus Christ, direct our way unto you.(KJV-1611) 1Th 3:11 Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wè nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:12 ============ 1Th 3:12 And the Lord make you to increase and abound in love one toward another, and toward all men, even as we do toward you:(KJV-1611) 1Th 3:12 Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 3:13 ============ 1Th 3:13 To the end he may stablish your hearts unblameable in holiness before God, even our Father, at the coming of our Lord Jesus Christ with all his saints.(KJV-1611) 1Th 3:13 Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:1 ============ 1Th 4:1 Furthermore then we beseech you, brethren, and exhort you by the Lord Jesus, that as ye have received of us how ye ought to walk and to please God, so ye would abound more and more.(KJV-1611) 1Th 4:1 Frè m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:2 ============ 1Th 4:2 For ye know what commandments we gave you by the Lord Jesus.(KJV-1611) 1Th 4:2 Nou konnen tou sa m' te moutre nou, avèk otorite Seyè Jezi te ban mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:3 ============ 1Th 4:3 For this is the will of God, even your sanctification, that ye should abstain from fornication:(KJV-1611) 1Th 4:3 Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:4 ============ 1Th 4:4 That every one of you should know how to possess his vessel in sanctification and honour;(KJV-1611) 1Th 4:4 Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:5 ============ 1Th 4:5 Not in the lust of concupiscence, even as the Gentiles which know not God:(KJV-1611) 1Th 4:5 Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:6 ============ 1Th 4:6 That no man go beyond and defraud his brother in any matter: because that the Lord is the avenger of all such, as we also have forewarned you and testified.(KJV-1611) 1Th 4:6 Nan bagay sa a, ankenn gason pa dwe fè frè l' lapenn, ni fè l' lenjistis. Mwen deja di nou sa, mwen te ban nou kont avètisman sou sa: Seyè a gen pou peni moun ki fè bagay konsa.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:7 ============ 1Th 4:7 For God hath not called us unto uncleanness, but unto holiness.(KJV-1611) 1Th 4:7 Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:8 ============ 1Th 4:8 He therefore that despiseth, despiseth not man, but God, who hath also given unto us his holy Spirit.(KJV-1611) 1Th 4:8 Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:9 ============ 1Th 4:9 But as touching brotherly love ye need not that I write unto you: for ye yourselves are taught of God to love one another.(KJV-1611) 1Th 4:9 Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:10 ============ 1Th 4:10 And indeed ye do it toward all the brethren which are in all Macedonia: but we beseech you, brethren, that ye increase more and more;(KJV-1611) 1Th 4:10 Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frè m' yo, pou nou chache viv pi byen toujou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:11 ============ 1Th 4:11 And that ye study to be quiet, and to do your own business, and to work with your own hands, as we commanded you;(KJV-1611) 1Th 4:11 Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:12 ============ 1Th 4:12 That ye may walk honestly toward them that are without, and that ye may have lack of nothing.(KJV-1611) 1Th 4:12 Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pesonn.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:13 ============ 1Th 4:13 But I would not have you to be ignorant, brethren, concerning them which are asleep, that ye sorrow not, even as others which have no hope.(KJV-1611) 1Th 4:13 Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:14 ============ 1Th 4:14 For if we believe that Jesus died and rose again, even so them also which sleep in Jesus will God bring with him.(KJV-1611) 1Th 4:14 Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:15 ============ 1Th 4:15 For this we say unto you by the word of the Lord, that we which are alive and remain unto the coming of the Lord shall not prevent them which are asleep.(KJV-1611) 1Th 4:15 Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:16 ============ 1Th 4:16 For the Lord himself shall descend from heaven with a shout, with the voice of the archangel, and with the trump of God: and the dead in Christ shall rise first:(KJV-1611) 1Th 4:16 Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:17 ============ 1Th 4:17 Then we which are alive and remain shall be caught up together with them in the clouds, to meet the Lord in the air: and so shall we ever be with the Lord.(KJV-1611) 1Th 4:17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 4:18 ============ 1Th 4:18 Wherefore comfort one another with these words.(KJV-1611) 1Th 4:18 Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:1 ============ 1Th 5:1 But of the times and the seasons, brethren, ye have no need that I write unto you.(KJV-1611) 1Th 5:1 Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:2 ============ 1Th 5:2 For yourselves know perfectly that the day of the Lord so cometh as a thief in the night.(KJV-1611) 1Th 5:2 Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:3 ============ 1Th 5:3 For when they shall say, Peace and safety; then sudden destruction cometh upon them, as travail upon a woman with child; and they shall not escape.(KJV-1611) 1Th 5:3 Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:4 ============ 1Th 5:4 But ye, brethren, are not in darkness, that that day should overtake you as a thief.(KJV-1611) 1Th 5:4 Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:5 ============ 1Th 5:5 Ye are all the children of light, and the children of the day: we are not of the night, nor of darkness.(KJV-1611) 1Th 5:5 Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa!(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:6 ============ 1Th 5:6 Therefore let us not sleep, as do others; but let us watch and be sober.(KJV-1611) 1Th 5:6 Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:7 ============ 1Th 5:7 For they that sleep sleep in the night; and they that be drunken are drunken in the night.(KJV-1611) 1Th 5:7 Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:8 ============ 1Th 5:8 But let us, who are of the day, be sober, putting on the breastplate of faith and love; and for an helmet, the hope of salvation.(KJV-1611) 1Th 5:8 Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:9 ============ 1Th 5:9 For God hath not appointed us to wrath, but to obtain salvation by our Lord Jesus Christ,(KJV-1611) 1Th 5:9 Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:10 ============ 1Th 5:10 Who died for us, that, whether we wake or sleep, we should live together with him.(KJV-1611) 1Th 5:10 Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:11 ============ 1Th 5:11 Wherefore comfort yourselves together, and edify one another, even as also ye do.(KJV-1611) 1Th 5:11 Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:12 ============ 1Th 5:12 And we beseech you, brethren, to know them which labour among you, and are over you in the Lord, and admonish you;(KJV-1611) 1Th 5:12 Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:13 ============ 1Th 5:13 And to esteem them very highly in love for their work's sake. And be at peace among yourselves.(KJV-1611) 1Th 5:13 Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:14 ============ 1Th 5:14 Now we exhort you, brethren, warn them that are unruly, comfort the feebleminded, support the weak, be patient toward all men.(KJV-1611) 1Th 5:14 M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:15 ============ 1Th 5:15 See that none render evil for evil unto any man; but ever follow that which is good, both among yourselves, and to all men.(KJV-1611) 1Th 5:15 Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:16 ============ 1Th 5:16 Rejoice evermore.(KJV-1611) 1Th 5:16 Se pou kè nou toujou kontan.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:17 ============ 1Th 5:17 Pray without ceasing.(KJV-1611) 1Th 5:17 Pa janm sispann lapriyè.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:18 ============ 1Th 5:18 In every thing give thanks: for this is the will of God in Christ Jesus concerning you.(KJV-1611) 1Th 5:18 Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:19 ============ 1Th 5:19 Quench not the Spirit.(KJV-1611) 1Th 5:19 Pa antrave travay Sentespri a.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:20 ============ 1Th 5:20 Despise not prophesyings.(KJV-1611) 1Th 5:20 Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:21 ============ 1Th 5:21 Prove all things; hold fast that which is good.(KJV-1611) 1Th 5:21 Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:22 ============ 1Th 5:22 Abstain from all appearance of evil.(KJV-1611) 1Th 5:22 Egzante tou sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:23 ============ 1Th 5:23 And the very God of peace sanctify you wholly; and I pray God your whole spirit and soul and body be preserved blameless unto the coming of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 1Th 5:23 Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:24 ============ 1Th 5:24 Faithful is he that calleth you, who also will do it.(KJV-1611) 1Th 5:24 Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:25 ============ 1Th 5:25 Brethren, pray for us.(KJV-1611) 1Th 5:25 Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:26 ============ 1Th 5:26 Greet all the brethren with an holy kiss.(KJV-1611) 1Th 5:26 Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:27 ============ 1Th 5:27 I charge you by the Lord that this epistle be read unto all the holy brethren.(KJV-1611) 1Th 5:27 Tanpri souple, nan non Seyè a, li lèt sa a bay tout frè yo.(Creole-HT) ======= 1 Thessalonians 5:28 ============ 1Th 5:28 The grace of our Lord Jesus Christ be with you. Amen.(KJV-1611) 1Th 5:28 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:1 ============ 2Th 1:1 Paul, and Silvanus, and Timotheus, unto the church of the Thessalonians in God our Father and the Lord Jesus Christ:(KJV-1611) 2Th 1:1 Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:2 ============ 2Th 1:2 Grace unto you, and peace, from God our Father and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 2Th 1:2 Mwen mande pou Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:3 ============ 2Th 1:3 We are bound to thank God always for you, brethren, as it is meet, because that your faith groweth exceedingly, and the charity of every one of you all toward each other aboundeth;(KJV-1611) 2Th 1:3 Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo. Wi, se yon devwa pou m' fè l' vre. Paske, konfyans nou gen nan Bondye ap grandi anpil, renmen nou gen yonn pou lòt ap grandi toujou tou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:4 ============ 2Th 1:4 So that we ourselves glory in you in the churches of God for your patience and faith in all your persecutions and tribulations that ye endure:(KJV-1611) 2Th 1:4 Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:5 ============ 2Th 1:5 Which is a manifest token of the righteous judgment of God, that ye may be counted worthy of the kingdom of God, for which ye also suffer:(KJV-1611) 2Th 1:5 Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:6 ============ 2Th 1:6 Seeing it is a righteous thing with God to recompense tribulation to them that trouble you;(KJV-1611) 2Th 1:6 Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:7 ============ 2Th 1:7 And to you who are troubled rest with us, when the Lord Jesus shall be revealed from heaven with his mighty angels,(KJV-1611) 2Th 1:7 Kanta pou nou menm k'ap soufri koulye a, la ban nou repo ansanm avè m' lè Jezi va parèt nan syèl la avèk zanj li yo ki gen pouvwa.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:8 ============ 2Th 1:8 In flaming fire taking vengeance on them that know not God, and that obey not the gospel of our Lord Jesus Christ:(KJV-1611) 2Th 1:8 La parèt nan mitan gwo flanm dife pou peni tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p'ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:9 ============ 2Th 1:9 Who shall be punished with everlasting destruction from the presence of the Lord, and from the glory of his power;(KJV-1611) 2Th 1:9 Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Seyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Seyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:10 ============ 2Th 1:10 When he shall come to be glorified in his saints, and to be admired in all them that believe (because our testimony among you was believed) in that day.(KJV-1611) 2Th 1:10 Jou sa a, Seyè a va parèt pou l' resevwa lwanj nan men tout moun pa l' yo. Tout moun ki te mete konfyans yo nan li va kontan wè l'. Nou menm tou n'a wè li, paske nou te kwè nan mesaj mwen te fè nou konnen an.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:11 ============ 2Th 1:11 Wherefore also we pray always for you, that our God would count you worthy of this calling, and fulfil all the good pleasure of his goodness, and the work of faith with power:(KJV-1611) 2Th 1:11 Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l' ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l' pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 1:12 ============ 2Th 1:12 That the name of our Lord Jesus Christ may be glorified in you, and ye in him, according to the grace of our God and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 2Th 1:12 Konsa, tout moun va fè lwanj non Jezi a poutèt nou. Nou menm tou, y'a fè lwanj nou poutèt li, gremesi favè Bondye nou an ansanm ak Jezikri, Seyè a, fè nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:1 ============ 2Th 2:1 Now we beseech you, brethren, by the coming of our Lord Jesus Christ, and by our gathering together unto him,(KJV-1611) 2Th 2:1 Ann konsidere lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt pou l' sanble nou ansanm bò kote li. Frè m' yo, men sa m'ap mande nou:(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:2 ============ 2Th 2:2 That ye be not soon shaken in mind, or be troubled, neither by spirit, nor by word, nor by letter as from us, as that the day of Christ is at hand.(KJV-1611) 2Th 2:2 Pa kite pesonn twouble lespri nou fasil, ni fè nou pèdi tèt nou ak ankenn mesaj ki swadizan soti nan Bondye, ni ak ankenn bèl diskou, ni ak ankenn lèt mwen ta swadizan ekri nou, pou yo fè nou kwè jou Seyè a rive deja.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:3 ============ 2Th 2:3 Let no man deceive you by any means: for that day shall not come, except there come a falling away first, and that man of sin be revealed, the son of perdition;(KJV-1611) 2Th 2:3 Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:4 ============ 2Th 2:4 Who opposeth and exalteth himself above all that is called God, or that is worshipped; so that he as God sitteth in the temple of God, shewing himself that he is God.(KJV-1611) 2Th 2:4 Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:5 ============ 2Th 2:5 Remember ye not, that, when I was yet with you, I told you these things?(KJV-1611) 2Th 2:5 Nou pa chonje mwen te di nou sa lè m' te lakay nou toujou?(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:6 ============ 2Th 2:6 And now ye know what withholdeth that he might be revealed in his time.(KJV-1611) 2Th 2:6 Men, gen yon bagay k'ap anpeche levènman sa yo rive koulye a. Nou konnen kisa li ye: Se sak fè, mechan an p'ap parèt anvan lè li.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:7 ============ 2Th 2:7 For the mystery of iniquity doth already work: only he who now letteth will let, until he be taken out of the way.(KJV-1611) 2Th 2:7 Wi, pouvwa mechan an deja ap travay anba chal. Men, anvan pou levènman sa yo rive, se pou moun k'ap ba l' baryè a disparèt.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:8 ============ 2Th 2:8 And then shall that Wicked be revealed, whom the Lord shall consume with the spirit of his mouth, and shall destroy with the brightness of his coming:(KJV-1611) 2Th 2:8 Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:9 ============ 2Th 2:9 Even him, whose coming is after the working of Satan with all power and signs and lying wonders,(KJV-1611) 2Th 2:9 Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:10 ============ 2Th 2:10 And with all deceivableness of unrighteousness in them that perish; because they received not the love of the truth, that they might be saved.(KJV-1611) 2Th 2:10 Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:11 ============ 2Th 2:11 And for this cause God shall send them strong delusion, that they should believe a lie:(KJV-1611) 2Th 2:11 Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:12 ============ 2Th 2:12 That they all might be damned who believed not the truth, but had pleasure in unrighteousness.(KJV-1611) 2Th 2:12 Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:13 ============ 2Th 2:13 But we are bound to give thanks alway to God for you, brethren beloved of the Lord, because God hath from the beginning chosen you to salvation through sanctification of the Spirit and belief of the truth:(KJV-1611) 2Th 2:13 Se yon devwa pou mwen pou m' pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m' yo, nou menm Seyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l', paske nou kwè nan verite a.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:14 ============ 2Th 2:14 Whereunto he called you by our gospel, to the obtaining of the glory of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 2Th 2:14 Gremesi bon nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Seyè nou an.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:15 ============ 2Th 2:15 Therefore, brethren, stand fast, and hold the traditions which ye have been taught, whether by word, or our epistle.(KJV-1611) 2Th 2:15 Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:16 ============ 2Th 2:16 Now our Lord Jesus Christ himself, and God, even our Father, which hath loved us, and hath given us everlasting consolation and good hope through grace,(KJV-1611) 2Th 2:16 M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 2:17 ============ 2Th 2:17 Comfort your hearts, and stablish you in every good word and work.(KJV-1611) 2Th 2:17 M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:1 ============ 2Th 3:1 Finally, brethren, pray for us, that the word of the Lord may have free course, and be glorified, even as it is with you:(KJV-1611) 2Th 3:1 Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:2 ============ 2Th 3:2 And that we may be delivered from unreasonable and wicked men: for all men have not faith.(KJV-1611) 2Th 3:2 Lapriyè tou pou Bondye ka delivre m' anba move moun yo, mechan sa yo. Paske, se pa tout moun ki asepte kwè.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:3 ============ 2Th 3:3 But the Lord is faithful, who shall stablish you, and keep you from evil.(KJV-1611) 2Th 3:3 Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, la pwoteje nou anba Satan.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:4 ============ 2Th 3:4 And we have confidence in the Lord touching you, that ye both do and will do the things which we command you.(KJV-1611) 2Th 3:4 Seyè a fè m' gen konfyans nan nou: li ban m' lasirans n'ap fè sa m' te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l' tou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:5 ============ 2Th 3:5 And the Lord direct your hearts into the love of God, and into the patient waiting for Christ.(KJV-1611) 2Th 3:5 Mwen mande Seyè a pou l' dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:6 ============ 2Th 3:6 Now we command you, brethren, in the name of our Lord Jesus Christ, that ye withdraw yourselves from every brother that walketh disorderly, and not after the tradition which he received of us.(KJV-1611) 2Th 3:6 Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:7 ============ 2Th 3:7 For yourselves know how ye ought to follow us: for we behaved not ourselves disorderly among you;(KJV-1611) 2Th 3:7 Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:8 ============ 2Th 3:8 Neither did we eat any man's bread for nought; but wrought with labour and travail night and day, that we might not be chargeable to any of you:(KJV-1611) 2Th 3:8 Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:9 ============ 2Th 3:9 Not because we have not power, but to make ourselves an example unto you to follow us.(KJV-1611) 2Th 3:9 Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:10 ============ 2Th 3:10 For even when we were with you, this we commanded you, that if any would not work, neither should he eat.(KJV-1611) 2Th 3:10 Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:11 ============ 2Th 3:11 For we hear that there are some which walk among you disorderly, working not at all, but are busybodies.(KJV-1611) 2Th 3:11 M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:12 ============ 2Th 3:12 Now them that are such we command and exhort by our Lord Jesus Christ, that with quietness they work, and eat their own bread.(KJV-1611) 2Th 3:12 Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:13 ============ 2Th 3:13 But ye, brethren, be not weary in well doing.(KJV-1611) 2Th 3:13 Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:14 ============ 2Th 3:14 And if any man obey not our word by this epistle, note that man, and have no company with him, that he may be ashamed.(KJV-1611) 2Th 3:14 Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:15 ============ 2Th 3:15 Yet count him not as an enemy, but admonish him as a brother.(KJV-1611) 2Th 3:15 Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:16 ============ 2Th 3:16 Now the Lord of peace himself give you peace always by all means. The Lord be with you all.(KJV-1611) 2Th 3:16 Mwen mande Seyè a ki konn bay kè poze, pou li fè kè nou poze tout tan, tout jan, pou li toujou la avèk nou tout.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:17 ============ 2Th 3:17 The salutation of Paul with mine own hand, which is the token in every epistle: so I write.(KJV-1611) 2Th 3:17 Se mwen menm Pòl k'ap ekri mo sa yo: mwen voye bonjou pou nou tout. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo, se konsa mwen toujou ekri.(Creole-HT) ======= 2 Thessalonians 3:18 ============ 2Th 3:18 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.(KJV-1611) 2Th 3:18 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou tout.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:1 ============ 1Ti 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the commandment of God our Saviour, and Lord Jesus Christ, which is our hope;(KJV-1611) 1Ti 1:1 Mwen menm, Pòl, yon apòt Jezikri dapre volonte Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikri ki tout espwa nou,(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:2 ============ 1Ti 1:2 Unto Timothy, my own son in the faith: Grace, mercy, and peace, from God our Father and Jesus Christ our Lord.(KJV-1611) 1Ti 1:2 m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:3 ============ 1Ti 1:3 As I besought thee to abide still at Ephesus, when I went into Macedonia, that thou mightest charge some that they teach no other doctrine,(KJV-1611) 1Ti 1:3 Se pou ou rete nan lavil Efèz, jan m' te mande ou la lè mwen t'ap pati pou peyi Masedwan. Paske, gen kèk moun nan lavil Efèz la k'ap moutre lòt yo yon bann lòt bagay ki pa vre. Se pou ou ba yo lòd sispann fè sa y'ap fè a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:4 ============ 1Ti 1:4 Neither give heed to fables and endless genealogies, which minister questions, rather than godly edifying which is in faith: so do.(KJV-1611) 1Ti 1:4 Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakòz moun fè yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:5 ============ 1Ti 1:5 Now the end of the commandment is charity out of a pure heart, and of a good conscience, and of faith unfeigned:(KJV-1611) 1Ti 1:5 W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki soti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:6 ============ 1Ti 1:6 From which some having swerved have turned aside unto vain jangling;(KJV-1611) 1Ti 1:6 Gen ladan yo ki pèdi chemen yo, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon san sans.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:7 ============ 1Ti 1:7 Desiring to be teachers of the law; understanding neither what they say, nor whereof they affirm.(KJV-1611) 1Ti 1:7 Yo ta renmen pase pou moun k'ap moutre lalwa Bondye a. Men, yo pa konprann anyen ni nan sa y'ap di a, ni nan keksyon y'ap defann lan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:8 ============ 1Ti 1:8 But we know that the law is good, if a man use it lawfully;(KJV-1611) 1Ti 1:8 Nou konnen lalwa se yon bagay ki bon depi ou sèvi avè l' jan ou dwe sèvi avè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:9 ============ 1Ti 1:9 Knowing this, that the law is not made for a righteous man, but for the lawless and disobedient, for the ungodly and for sinners, for unholy and profane, for murderers of fathers and murderers of mothers, for manslayers,(KJV-1611) 1Ti 1:9 Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen,(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:10 ============ 1Ti 1:10 For whoremongers, for them that defile themselves with mankind, for menstealers, for liars, for perjured persons, and if there be any other thing that is contrary to sound doctrine;(KJV-1611) 1Ti 1:10 pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:11 ============ 1Ti 1:11 According to the glorious gospel of the blessed God, which was committed to my trust.(KJV-1611) 1Ti 1:11 Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:12 ============ 1Ti 1:12 And I thank Christ Jesus our Lord, who hath enabled me, for that he counted me faithful, putting me into the ministry;(KJV-1611) 1Ti 1:12 M'ap di Jezikri, Seyè nou an, mèsi dèske li ban m' fòs kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di l' mèsi dèske li te konsidere m' anpil pou l' te fè m' tout konfyans sa a, pou l' te chwazi m' pou sèvis li,(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:13 ============ 1Ti 1:13 Who was before a blasphemer, and a persecutor, and injurious: but I obtained mercy, because I did it ignorantly in unbelief.(KJV-1611) 1Ti 1:13 atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pèsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:14 ============ 1Ti 1:14 And the grace of our Lord was exceeding abundant with faith and love which is in Christ Jesus.(KJV-1611) 1Ti 1:14 Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:15 ============ 1Ti 1:15 This is a faithful saying, and worthy of all acceptation, that Christ Jesus came into the world to save sinners; of whom I am chief.(KJV-1611) 1Ti 1:15 Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:16 ============ 1Ti 1:16 Howbeit for this cause I obtained mercy, that in me first Jesus Christ might shew forth all longsuffering, for a pattern to them which should hereafter believe on him to life everlasting.(KJV-1611) 1Ti 1:16 Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l' ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:17 ============ 1Ti 1:17 Now unto the King eternal, immortal, invisible, the only wise God, be honour and glory for ever and ever. Amen.(KJV-1611) 1Ti 1:17 Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:18 ============ 1Ti 1:18 This charge I commit unto thee, son Timothy, according to the prophecies which went before on thee, that thou by them mightest war a good warfare;(KJV-1611) 1Ti 1:18 Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:19 ============ 1Ti 1:19 Holding faith, and a good conscience; which some having put away concerning faith have made shipwreck:(KJV-1611) 1Ti 1:19 Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 1:20 ============ 1Ti 1:20 Of whom is Hymenaeus and Alexander; whom I have delivered unto Satan, that they may learn not to blaspheme.(KJV-1611) 1Ti 1:20 Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:1 ============ 1Ti 2:1 I exhort therefore, that, first of all, supplications, prayers, intercessions, and giving of thanks, be made for all men;(KJV-1611) 1Ti 2:1 Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:2 ============ 1Ti 2:2 For kings, and for all that are in authority; that we may lead a quiet and peaceable life in all godliness and honesty.(KJV-1611) 1Ti 2:2 Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:3 ============ 1Ti 2:3 For this is good and acceptable in the sight of God our Saviour;(KJV-1611) 1Ti 2:3 Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:4 ============ 1Ti 2:4 Who will have all men to be saved, and to come unto the knowledge of the truth.(KJV-1611) 1Ti 2:4 Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:5 ============ 1Ti 2:5 For there is one God, and one mediator between God and men, the man Christ Jesus;(KJV-1611) 1Ti 2:5 Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:6 ============ 1Ti 2:6 Who gave himself a ransom for all, to be testified in due time.(KJV-1611) 1Ti 2:6 Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:7 ============ 1Ti 2:7 Whereunto I am ordained a preacher, and an apostle, (I speak the truth in Christ, and lie not;) a teacher of the Gentiles in faith and verity.(KJV-1611) 1Ti 2:7 Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:8 ============ 1Ti 2:8 I will therefore that men pray every where, lifting up holy hands, without wrath and doubting.(KJV-1611) 1Ti 2:8 Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:9 ============ 1Ti 2:9 In like manner also, that women adorn themselves in modest apparel, with shamefacedness and sobriety; not with broided hair, or gold, or pearls, or costly array;(KJV-1611) 1Ti 2:9 Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:10 ============ 1Ti 2:10 But (which becometh women professing godliness) with good works.(KJV-1611) 1Ti 2:10 Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:11 ============ 1Ti 2:11 Let the woman learn in silence with all subjection.(KJV-1611) 1Ti 2:11 Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:12 ============ 1Ti 2:12 But I suffer not a woman to teach, nor to usurp authority over the man, but to be in silence.(KJV-1611) 1Ti 2:12 Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:13 ============ 1Ti 2:13 For Adam was first formed, then Eve.(KJV-1611) 1Ti 2:13 Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:14 ============ 1Ti 2:14 And Adam was not deceived, but the woman being deceived was in the transgression.(KJV-1611) 1Ti 2:14 Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 2:15 ============ 1Ti 2:15 Notwithstanding she shall be saved in childbearing, if they continue in faith and charity and holiness with sobriety.(KJV-1611) 1Ti 2:15 Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:1 ============ 1Ti 3:1 This is a true saying, If a man desire the office of a bishop, he desireth a good work.(KJV-1611) 1Ti 3:1 Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l' dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:2 ============ 1Ti 3:2 A bishop then must be blameless, the husband of one wife, vigilant, sober, of good behaviour, given to hospitality, apt to teach;(KJV-1611) 1Ti 3:2 Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:3 ============ 1Ti 3:3 Not given to wine, no striker, not greedy of filthy lucre; but patient, not a brawler, not covetous;(KJV-1611) 1Ti 3:3 Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:4 ============ 1Ti 3:4 One that ruleth well his own house, having his children in subjection with all gravity;(KJV-1611) 1Ti 3:4 Se pou l' konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l' ak respè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:5 ============ 1Ti 3:5 (For if a man know not how to rule his own house, how shall he take care of the church of God?)(KJV-1611) 1Ti 3:5 Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l', kouman li ka dirije legliz Bondye a?(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:6 ============ 1Ti 3:6 Not a novice, lest being lifted up with pride he fall into the condemnation of the devil.(KJV-1611) 1Ti 3:6 Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l' nan tèt, la tonbe anba men m' kondannasyon ak Satan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:7 ============ 1Ti 3:7 Moreover he must have a good report of them which are without; lest he fall into reproach and the snare of the devil.(KJV-1611) 1Ti 3:7 Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l' nan betiz, pou l' pa pran nan pèlen Satan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:8 ============ 1Ti 3:8 Likewise must the deacons be grave, not doubletongued, not given to much wine, not greedy of filthy lucre;(KJV-1611) 1Ti 3:8 Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:9 ============ 1Ti 3:9 Holding the mystery of the faith in a pure conscience.(KJV-1611) 1Ti 3:9 Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:10 ============ 1Ti 3:10 And let these also first be proved; then let them use the office of a deacon, being found blameless.(KJV-1611) 1Ti 3:10 Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:11 ============ 1Ti 3:11 Even so must their wives be grave, not slanderers, sober, faithful in all things.(KJV-1611) 1Ti 3:11 Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:12 ============ 1Ti 3:12 Let the deacons be the husbands of one wife, ruling their children and their own houses well.(KJV-1611) 1Ti 3:12 Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:13 ============ 1Ti 3:13 For they that have used the office of a deacon well purchase to themselves a good degree, and great boldness in the faith which is in Christ Jesus.(KJV-1611) 1Ti 3:13 Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:14 ============ 1Ti 3:14 These things write I unto thee, hoping to come unto thee shortly:(KJV-1611) 1Ti 3:14 M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:15 ============ 1Ti 3:15 But if I tarry long, that thou mayest know how thou oughtest to behave thyself in the house of God, which is the church of the living God, the pillar and ground of the truth.(KJV-1611) 1Ti 3:15 Men, si m' pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 3:16 ============ 1Ti 3:16 And without controversy great is the mystery of godliness: God was manifest in the flesh, justified in the Spirit, seen of angels, preached unto the Gentiles, believed on in the world, received up into glory.(KJV-1611) 1Ti 3:16 Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:1 ============ 1Ti 4:1 Now the Spirit speaketh expressly, that in the latter times some shall depart from the faith, giving heed to seducing spirits, and doctrines of devils;(KJV-1611) 1Ti 4:1 Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:2 ============ 1Ti 4:2 Speaking lies in hypocrisy; having their conscience seared with a hot iron;(KJV-1611) 1Ti 4:2 Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:3 ============ 1Ti 4:3 Forbidding to marry, and commanding to abstain from meats, which God hath created to be received with thanksgiving of them which believe and know the truth.(KJV-1611) 1Ti 4:3 Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:4 ============ 1Ti 4:4 For every creature of God is good, and nothing to be refused, if it be received with thanksgiving:(KJV-1611) 1Ti 4:4 Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:5 ============ 1Ti 4:5 For it is sanctified by the word of God and prayer.(KJV-1611) 1Ti 4:5 Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:6 ============ 1Ti 4:6 If thou put the brethren in remembrance of these things, thou shalt be a good minister of Jesus Christ, nourished up in the words of faith and of good doctrine, whereunto thou hast attained.(KJV-1611) 1Ti 4:6 Si ou moutre frè ou yo tout bagay sa yo, ou va yon bon sèvitè Jezikri. Wa swen tèt ou ak pawòl ki soti nan konfyans Bondye ak nan verite w'ap swiv deja a.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:7 ============ 1Ti 4:7 But refuse profane and old wives' fables, and exercise thyself rather unto godliness.(KJV-1611) 1Ti 4:7 Men, wete lide ou sou istwa san sans ki pa dakò ak konfyans nan Bondye, ak sou radòt ki pa merite repete. Toujou chache mwayen pou ou sèvi Bondye pi byen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:8 ============ 1Ti 4:8 For bodily exercise profiteth little: but godliness is profitable unto all things, having promise of the life that now is, and of that which is to come.(KJV-1611) 1Ti 4:8 Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou koulye a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:9 ============ 1Ti 4:9 This is a faithful saying and worthy of all acceptation.(KJV-1611) 1Ti 4:9 Sa se yon pawòl ki sèten, tout moun te dwe asepte l', yo tout te dwe kwè li.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:10 ============ 1Ti 4:10 For therefore we both labour and suffer reproach, because we trust in the living God, who is the Saviour of all men, specially of those that believe.(KJV-1611) 1Ti 4:10 Se poutèt sa ou wè n'ap travay di, n'ap goumen konsa. Paske, nou mete tout espwa nou nan Bondye vivan an k'ap sove tout moun, espesyalman moun ki gen konfyans nan li.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:11 ============ 1Ti 4:11 These things command and teach.(KJV-1611) 1Ti 4:11 Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:12 ============ 1Ti 4:12 Let no man despise thy youth; but be thou an example of the believers, in word, in conversation, in charity, in spirit, in faith, in purity.(KJV-1611) 1Ti 4:12 Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:13 ============ 1Ti 4:13 Till I come, give attendance to reading, to exhortation, to doctrine.(KJV-1611) 1Ti 4:13 Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:14 ============ 1Ti 4:14 Neglect not the gift that is in thee, which was given thee by prophecy, with the laying on of the hands of the presbytery.(KJV-1611) 1Ti 4:14 Pa neglije kado Lespri Bondye te ba ou lè chèf reskonsab yo te mete men sou tèt ou, apre pwofèt yo te fin pale pou ou.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:15 ============ 1Ti 4:15 Meditate upon these things; give thyself wholly to them; that thy profiting may appear to all.(KJV-1611) 1Ti 4:15 Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 4:16 ============ 1Ti 4:16 Take heed unto thyself, and unto the doctrine; continue in them: for in doing this thou shalt both save thyself, and them that hear thee.(KJV-1611) 1Ti 4:16 Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:1 ============ 1Ti 5:1 Rebuke not an elder, but intreat him as a father; and the younger men as brethren;(KJV-1611) 1Ti 5:1 Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou;(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:2 ============ 1Ti 5:2 The elder women as mothers; the younger as sisters, with all purity.(KJV-1611) 1Ti 5:2 ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou; ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:3 ============ 1Ti 5:3 Honour widows that are widows indeed.(KJV-1611) 1Ti 5:3 Pran swen vèv ki vèv tout bon yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:4 ============ 1Ti 5:4 But if any widow have children or nephews, let them learn first to shew piety at home, and to requite their parents: for that is good and acceptable before God.(KJV-1611) 1Ti 5:4 Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:5 ============ 1Ti 5:5 Now she that is a widow indeed, and desolate, trusteth in God, and continueth in supplications and prayers night and day.(KJV-1611) 1Ti 5:5 Yon fanm ki vèv tout bon, ki pa gen pesonn pou okipe l', li mete tout espwa li nan Bondye, l'ap lapriyè tout tan, l'ap mande l' konkou lajounen kou lannwit.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:6 ============ 1Ti 5:6 But she that liveth in pleasure is dead while she liveth.(KJV-1611) 1Ti 5:6 Men, yon vèv ki lage kò l' nan plezi, se yon vèv ki mouri, menm si l' vivan toujou.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:7 ============ 1Ti 5:7 And these things give in charge, that they may be blameless.(KJV-1611) 1Ti 5:7 Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:8 ============ 1Ti 5:8 But if any provide not for his own, and specially for those of his own house, he hath denied the faith, and is worse than an infidel.(KJV-1611) 1Ti 5:8 Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:9 ============ 1Ti 5:9 Let not a widow be taken into the number under threescore years old, having been the wife of one man.(KJV-1611) 1Ti 5:9 Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sèl fwa.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:10 ============ 1Ti 5:10 Well reported of for good works; if she have brought up children, if she have lodged strangers, if she have washed the saints' feet, if she have relieved the afflicted, if she have diligently followed every good work.(KJV-1611) 1Ti 5:10 Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pèp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fè tout lòt kalite byen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:11 ============ 1Ti 5:11 But the younger widows refuse: for when they have begun to wax wanton against Christ, they will marry;(KJV-1611) 1Ti 5:11 Men, pa mete okenn vèv ki poko gen laj sa a sou lis. Paske, lè anvi a pran yo pou yo marye, yo vire do bay Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:12 ============ 1Ti 5:12 Having damnation, because they have cast off their first faith.(KJV-1611) 1Ti 5:12 Lè konsa yo vin antò, paske yo pa kenbe premye pwomès yo te fè l' la.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:13 ============ 1Ti 5:13 And withal they learn to be idle, wandering about from house to house; and not only idle, but tattlers also and busybodies, speaking things which they ought not.(KJV-1611) 1Ti 5:13 Apre sa, yo pran abitid pèdi tan yo ap mache pòt an pòt. Sa ki pi rèd ankò, yo vin tripòt, fouyapòt. Y'ap foure bouch yo nan sa ki pa gade yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:14 ============ 1Ti 5:14 I will therefore that the younger women marry, bear children, guide the house, give none occasion to the adversary to speak reproachfully.(KJV-1611) 1Ti 5:14 Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:15 ============ 1Ti 5:15 For some are already turned aside after Satan.(KJV-1611) 1Ti 5:15 Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:16 ============ 1Ti 5:16 If any man or woman that believeth have widows, let them relieve them, and let not the church be charged; that it may relieve them that are widows indeed.(KJV-1611) 1Ti 5:16 Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon vèv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:17 ============ 1Ti 5:17 Let the elders that rule well be counted worthy of double honour, especially they who labour in the word and doctrine.(KJV-1611) 1Ti 5:17 Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:18 ============ 1Ti 5:18 For the scripture saith, Thou shalt not muzzle the ox that treadeth out the corn. And, The labourer is worthy of his reward.(KJV-1611) 1Ti 5:18 Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:19 ============ 1Ti 5:19 Against an elder receive not an accusation, but before two or three witnesses.(KJV-1611) 1Ti 5:19 Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:20 ============ 1Ti 5:20 Them that sin rebuke before all, that others also may fear.(KJV-1611) 1Ti 5:20 Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:21 ============ 1Ti 5:21 I charge thee before God, and the Lord Jesus Christ, and the elect angels, that thou observe these things without preferring one before another, doing nothing by partiality.(KJV-1611) 1Ti 5:21 Devan Bondye, devan Jezikri, devan tout zanj k'ap viv pou Bondye yo, men sa m'ap mande ou: swiv lòd sa yo san fè ni patipri ni moun pa nan tou sa w'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:22 ============ 1Ti 5:22 Lay hands suddenly on no man, neither be partaker of other men's sins: keep thyself pure.(KJV-1611) 1Ti 5:22 Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:23 ============ 1Ti 5:23 Drink no longer water, but use a little wine for thy stomach's sake and thine often infirmities.(KJV-1611) 1Ti 5:23 Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:24 ============ 1Ti 5:24 Some men's sins are open beforehand, going before to judgment; and some men they follow after.(KJV-1611) 1Ti 5:24 Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 5:25 ============ 1Ti 5:25 Likewise also the good works of some are manifest beforehand; and they that are otherwise cannot be hid.(KJV-1611) 1Ti 5:25 Konsa tou, tout byen yon moun fè gen pou parèt aklè, menm sa ou pa wè lapoula. Yo pa ka rete kache.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:1 ============ 1Ti 6:1 Let as many servants as are under the yoke count their own masters worthy of all honour, that the name of God and his doctrine be not blasphemed.(KJV-1611) 1Ti 6:1 Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:2 ============ 1Ti 6:2 And they that have believing masters, let them not despise them, because they are brethren; but rather do them service, because they are faithful and beloved, partakers of the benefit. These things teach and exhort.(KJV-1611) 1Ti 6:2 Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l' manke l' respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l' sèvi l' pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:3 ============ 1Ti 6:3 If any man teach otherwise, and consent not to wholesome words, even the words of our Lord Jesus Christ, and to the doctrine which is according to godliness;(KJV-1611) 1Ti 6:3 Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:4 ============ 1Ti 6:4 He is proud, knowing nothing, but doting about questions and strifes of words, whereof cometh envy, strife, railings, evil surmisings,(KJV-1611) 1Ti 6:4 se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:5 ============ 1Ti 6:5 Perverse disputings of men of corrupt minds, and destitute of the truth, supposing that gain is godliness: from such withdraw thyself.(KJV-1611) 1Ti 6:5 Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:6 ============ 1Ti 6:6 But godliness with contentment is great gain.(KJV-1611) 1Ti 6:6 Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:7 ============ 1Ti 6:7 For we brought nothing into this world, and it is certain we can carry nothing out.(KJV-1611) 1Ti 6:7 Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:8 ============ 1Ti 6:8 And having food and raiment let us be therewith content.(KJV-1611) 1Ti 6:8 Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:9 ============ 1Ti 6:9 But they that will be rich fall into temptation and a snare, and into many foolish and hurtful lusts, which drown men in destruction and perdition.(KJV-1611) 1Ti 6:9 Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:10 ============ 1Ti 6:10 For the love of money is the root of all evil: which while some coveted after, they have erred from the faith, and pierced themselves through with many sorrows.(KJV-1611) 1Ti 6:10 Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:11 ============ 1Ti 6:11 But thou, O man of God, flee these things; and follow after righteousness, godliness, faith, love, patience, meekness.(KJV-1611) 1Ti 6:11 Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:12 ============ 1Ti 6:12 Fight the good fight of faith, lay hold on eternal life, whereunto thou art also called, and hast professed a good profession before many witnesses.(KJV-1611) 1Ti 6:12 Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:13 ============ 1Ti 6:13 I give thee charge in the sight of God, who quickeneth all things, and before Christ Jesus, who before Pontius Pilate witnessed a good confession;(KJV-1611) 1Ti 6:13 Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou:(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:14 ============ 1Ti 6:14 That thou keep this commandment without spot, unrebukable, until the appearing of our Lord Jesus Christ:(KJV-1611) 1Ti 6:14 Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:15 ============ 1Ti 6:15 Which in his times he shall shew, who is the blessed and only Potentate, the King of kings, and Lord of lords;(KJV-1611) 1Ti 6:15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:16 ============ 1Ti 6:16 Who only hath immortality, dwelling in the light which no man can approach unto; whom no man hath seen, nor can see: to whom be honour and power everlasting. Amen.(KJV-1611) 1Ti 6:16 Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:17 ============ 1Ti 6:17 Charge them that are rich in this world, that they be not highminded, nor trust in uncertain riches, but in the living God, who giveth us richly all things to enjoy;(KJV-1611) 1Ti 6:17 Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:18 ============ 1Ti 6:18 That they do good, that they be rich in good works, ready to distribute, willing to communicate;(KJV-1611) 1Ti 6:18 Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:19 ============ 1Ti 6:19 Laying up in store for themselves a good foundation against the time to come, that they may lay hold on eternal life.(KJV-1611) 1Ti 6:19 Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:20 ============ 1Ti 6:20 O Timothy, keep that which is committed to thy trust, avoiding profane and vain babblings, and oppositions of science falsely so called:(KJV-1611) 1Ti 6:20 Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.(Creole-HT) ======= 1 Timothy 6:21 ============ 1Ti 6:21 Which some professing have erred concerning the faith. Grace be with thee. Amen.(KJV-1611) 1Ti 6:21 Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:1 ============ 2Ti 1:1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, according to the promise of life which is in Christ Jesus,(KJV-1611) 2Ti 1:1 Mwen menm, Pòl, se Bondye ki te vle chwazi m' pou sèvi apòt Jezikri, pou fè konnen lavi li te pwomèt nou an, lavi li ban nou nan Jezikri a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:2 ============ 2Ti 1:2 To Timothy, my dearly beloved son: Grace, mercy, and peace, from God the Father and Christ Jesus our Lord.(KJV-1611) 2Ti 1:2 M'ap ekri ou, Timote, pitit mwen renmen anpil lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:3 ============ 2Ti 1:3 I thank God, whom I serve from my forefathers with pure conscience, that without ceasing I have remembrance of thee in my prayers night and day;(KJV-1611) 2Ti 1:3 M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:4 ============ 2Ti 1:4 Greatly desiring to see thee, being mindful of thy tears, that I may be filled with joy;(KJV-1611) 2Ti 1:4 Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:5 ============ 2Ti 1:5 When I call to remembrance the unfeigned faith that is in thee, which dwelt first in thy grandmother Lois, and thy mother Eunice; and I am persuaded that in thee also.(KJV-1611) 2Ti 1:5 Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:6 ============ 2Ti 1:6 Wherefore I put thee in remembrance that thou stir up the gift of God, which is in thee by the putting on of my hands.(KJV-1611) 2Ti 1:6 Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:7 ============ 2Ti 1:7 For God hath not given us the spirit of fear; but of power, and of love, and of a sound mind.(KJV-1611) 2Ti 1:7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:8 ============ 2Ti 1:8 Be not thou therefore ashamed of the testimony of our Lord, nor of me his prisoner: but be thou partaker of the afflictions of the gospel according to the power of God;(KJV-1611) 2Ti 1:8 Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:9 ============ 2Ti 1:9 Who hath saved us, and called us with an holy calling, not according to our works, but according to his own purpose and grace, which was given us in Christ Jesus before the world began,(KJV-1611) 2Ti 1:9 Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:10 ============ 2Ti 1:10 But is now made manifest by the appearing of our Saviour Jesus Christ, who hath abolished death, and hath brought life and immortality to light through the gospel:(KJV-1611) 2Ti 1:10 Koulye a, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bon nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:11 ============ 2Ti 1:11 Whereunto I am appointed a preacher, and an apostle, and a teacher of the Gentiles.(KJV-1611) 2Ti 1:11 Bondye chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl sa a, li voye m' kòm apòt pou m' moutre li bay tout moun ki pa jwif.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:12 ============ 2Ti 1:12 For the which cause I also suffer these things: nevertheless I am not ashamed: for I know whom I have believed, and am persuaded that he is able to keep that which I have committed unto him against that day.(KJV-1611) 2Ti 1:12 Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l' konsève sa l' te ban mwen an jouk gran jou a va vini.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:13 ============ 2Ti 1:13 Hold fast the form of sound words, which thou hast heard of me, in faith and love which is in Christ Jesus.(KJV-1611) 2Ti 1:13 Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:14 ============ 2Ti 1:14 That good thing which was committed unto thee keep by the Holy Ghost which dwelleth in us.(KJV-1611) 2Ti 1:14 Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:15 ============ 2Ti 1:15 This thou knowest, that all they which are in Asia be turned away from me; of whom are Phygellus and Hermogenes.(KJV-1611) 2Ti 1:15 Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:16 ============ 2Ti 1:16 The Lord give mercy unto the house of Onesiphorus; for he oft refreshed me, and was not ashamed of my chain:(KJV-1611) 2Ti 1:16 Mwen mande Seyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pa t' wont mwen dèske mwen te nan prizon.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:17 ============ 2Ti 1:17 But, when he was in Rome, he sought me out very diligently, and found me.(KJV-1611) 2Ti 1:17 Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m' jouk li jwenn mwen.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 1:18 ============ 2Ti 1:18 The Lord grant unto him that he may find mercy of the Lord in that day: and in how many things he ministered unto me at Ephesus, thou knowest very well.(KJV-1611) 2Ti 1:18 Se pou Seyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:1 ============ 2Ti 2:1 Thou therefore, my son, be strong in the grace that is in Christ Jesus.(KJV-1611) 2Ti 2:1 Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:2 ============ 2Ti 2:2 And the things that thou hast heard of me among many witnesses, the same commit thou to faithful men, who shall be able to teach others also.(KJV-1611) 2Ti 2:2 Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:3 ============ 2Ti 2:3 Thou therefore endure hardness, as a good soldier of Jesus Christ.(KJV-1611) 2Ti 2:3 Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:4 ============ 2Ti 2:4 No man that warreth entangleth himself with the affairs of this life; that he may please him who hath chosen him to be a soldier.(KJV-1611) 2Ti 2:4 Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:5 ============ 2Ti 2:5 And if a man also strive for masteries, yet is he not crowned, except he strive lawfully.(KJV-1611) 2Ti 2:5 Lè yon moun ap aprann kouri pou l' ka patisipe nan yon konkou, li p'ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:6 ============ 2Ti 2:6 The husbandman that laboureth must be first partaker of the fruits.(KJV-1611) 2Ti 2:6 Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:7 ============ 2Ti 2:7 Consider what I say; and the Lord give thee understanding in all things.(KJV-1611) 2Ti 2:7 Fè tèt ou travay sou sa m' ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:8 ============ 2Ti 2:8 Remember that Jesus Christ of the seed of David was raised from the dead according to my gospel:(KJV-1611) 2Ti 2:8 Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:9 ============ 2Ti 2:9 Wherein I suffer trouble, as an evil doer, even unto bonds; but the word of God is not bound.(KJV-1611) 2Ti 2:9 Se paske m'ap anonse bon nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:10 ============ 2Ti 2:10 Therefore I endure all things for the elect's sakes, that they may also obtain the salvation which is in Christ Jesus with eternal glory.(KJV-1611) 2Ti 2:10 Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:11 ============ 2Ti 2:11 It is a faithful saying: For if we be dead with him, we shall also live with him:(KJV-1611) 2Ti 2:11 Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l', n'a viv ansanm avè l' tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:12 ============ 2Ti 2:12 If we suffer, we shall also reign with him: if we deny him, he also will deny us:(KJV-1611) 2Ti 2:12 Si nou kenbe l' fèm nan soufrans nou, n'a gouvènen ansanm avè l' tou. Si nou lage l', la lage nou tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:13 ============ 2Ti 2:13 If we believe not, yet he abideth faithful: he cannot deny himself.(KJV-1611) 2Ti 2:13 Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l'ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:14 ============ 2Ti 2:14 Of these things put them in remembrance, charging them before the Lord that they strive not about words to no profit, but to the subverting of the hearers.(KJV-1611) 2Ti 2:14 Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:15 ============ 2Ti 2:15 Study to shew thyself approved unto God, a workman that needeth not to be ashamed, rightly dividing the word of truth.(KJV-1611) 2Ti 2:15 Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:16 ============ 2Ti 2:16 But shun profane and vain babblings: for they will increase unto more ungodliness.(KJV-1611) 2Ti 2:16 Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:17 ============ 2Ti 2:17 And their word will eat as doth a canker: of whom is Hymenaeus and Philetus;(KJV-1611) 2Ti 2:17 Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:18 ============ 2Ti 2:18 Who concerning the truth have erred, saying that the resurrection is past already; and overthrow the faith of some.(KJV-1611) 2Ti 2:18 Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:19 ============ 2Ti 2:19 Nevertheless the foundation of God standeth sure, having this seal, The Lord knoweth them that are his. And, Let every one that nameth the name of Christ depart from iniquity.(KJV-1611) 2Ti 2:19 Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:20 ============ 2Ti 2:20 But in a great house there are not only vessels of gold and of silver, but also of wood and of earth; and some to honour, and some to dishonour.(KJV-1611) 2Ti 2:20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:21 ============ 2Ti 2:21 If a man therefore purge himself from these, he shall be a vessel unto honour, sanctified, and meet for the master's use, and prepared unto every good work.(KJV-1611) 2Ti 2:21 Si yon moun kenbe kò l' pou l' pa fè sa ki mal, y'a fè l' fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l'ap pare pou l' fè nenpòt bagay ki byen.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:22 ============ 2Ti 2:22 Flee also youthful lusts: but follow righteousness, faith, charity, peace, with them that call on the Lord out of a pure heart.(KJV-1611) 2Ti 2:22 Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:23 ============ 2Ti 2:23 But foolish and unlearned questions avoid, knowing that they do gender strifes.(KJV-1611) 2Ti 2:23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:24 ============ 2Ti 2:24 And the servant of the Lord must not strive; but be gentle unto all men, apt to teach, patient,(KJV-1611) 2Ti 2:24 Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l' viv byen ak tout moun, se pou l' konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l' gen pasyans.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:25 ============ 2Ti 2:25 In meekness instructing those that oppose themselves; if God peradventure will give them repentance to the acknowledging of the truth;(KJV-1611) 2Ti 2:25 Se pou l' korije moun ki pa dakò avè l' avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 2:26 ============ 2Ti 2:26 And that they may recover themselves out of the snare of the devil, who are taken captive by him at his will.(KJV-1611) 2Ti 2:26 Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:1 ============ 2Ti 3:1 This know also, that in the last days perilous times shall come.(KJV-1611) 2Ti 3:1 Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:2 ============ 2Ti 3:2 For men shall be lovers of their own selves, covetous, boasters, proud, blasphemers, disobedient to parents, unthankful, unholy,(KJV-1611) 2Ti 3:2 Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:3 ============ 2Ti 3:3 Without natural affection, trucebreakers, false accusers, incontinent, fierce, despisers of those that are good,(KJV-1611) 2Ti 3:3 Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:4 ============ 2Ti 3:4 Traitors, heady, highminded, lovers of pleasures more than lovers of God;(KJV-1611) 2Ti 3:4 Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:5 ============ 2Ti 3:5 Having a form of godliness, but denying the power thereof: from such turn away.(KJV-1611) 2Ti 3:5 Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:6 ============ 2Ti 3:6 For of this sort are they which creep into houses, and lead captive silly women laden with sins, led away with divers lusts,(KJV-1611) 2Ti 3:6 Gen ladan yo k'ap antre lakay moun pou pran tèt medam ki fèb yo, ki gen konsyans yo chaje anba peche epi k'ap kite tout kalite move lanvi mennen lavi yo.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:7 ============ 2Ti 3:7 Ever learning, and never able to come to the knowledge of the truth.(KJV-1611) 2Ti 3:7 Medam sa yo toujou ap chache konnen. Men, yo pa janm ka rive konnen verite a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:8 ============ 2Ti 3:8 Now as Jannes and Jambres withstood Moses, so do these also resist the truth: men of corrupt minds, reprobate concerning the faith.(KJV-1611) 2Ti 3:8 Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:9 ============ 2Ti 3:9 But they shall proceed no further: for their folly shall be manifest unto all men, as their's also was.(KJV-1611) 2Ti 3:9 Men, yo p'ap rive lwen, paske tout moun pral rekonèt jan yo pèdi tèt yo, menm jan sa te rive pou Janès ak Janbrès.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:10 ============ 2Ti 3:10 But thou hast fully known my doctrine, manner of life, purpose, faith, longsuffering, charity, patience,(KJV-1611) 2Ti 3:10 Men, ou menm, ou te swiv mwen pye pou pye nan tout bagay: nan verite mwen moutre moun yo, nan jan mwen mennen lavi mwen, nan lide m' mete nan tèt mwen, nan konfyans mwen gen nan Bondye, nan pasyans mwen, nan renmen mwen gen nan kè m', nan jan mwen kenbe fèm,(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:11 ============ 2Ti 3:11 Persecutions, afflictions, which came unto me at Antioch, at Iconium, at Lystra; what persecutions I endured: but out of them all the Lord delivered me.(KJV-1611) 2Ti 3:11 nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:12 ============ 2Ti 3:12 Yea, and all that will live godly in Christ Jesus shall suffer persecution.(KJV-1611) 2Ti 3:12 Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:13 ============ 2Ti 3:13 But evil men and seducers shall wax worse and worse, deceiving, and being deceived.(KJV-1611) 2Ti 3:13 Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:14 ============ 2Ti 3:14 But continue thou in the things which thou hast learned and hast been assured of, knowing of whom thou hast learned them;(KJV-1611) 2Ti 3:14 Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:15 ============ 2Ti 3:15 And that from a child thou hast known the holy scriptures, which are able to make thee wise unto salvation through faith which is in Christ Jesus.(KJV-1611) 2Ti 3:15 Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:16 ============ 2Ti 3:16 All scripture is given by inspiration of God, and is profitable for doctrine, for reproof, for correction, for instruction in righteousness:(KJV-1611) 2Ti 3:16 Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 3:17 ============ 2Ti 3:17 That the man of God may be perfect, throughly furnished unto all good works.(KJV-1611) 2Ti 3:17 Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:1 ============ 2Ti 4:1 I charge thee therefore before God, and the Lord Jesus Christ, who shall judge the quick and the dead at his appearing and his kingdom;(KJV-1611) 2Ti 4:1 Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:2 ============ 2Ti 4:2 Preach the word; be instant in season, out of season; reprove, rebuke, exhort with all longsuffering and doctrine.(KJV-1611) 2Ti 4:2 Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:3 ============ 2Ti 4:3 For the time will come when they will not endure sound doctrine; but after their own lusts shall they heap to themselves teachers, having itching ears;(KJV-1611) 2Ti 4:3 Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:4 ============ 2Ti 4:4 And they shall turn away their ears from the truth, and shall be turned unto fables.(KJV-1611) 2Ti 4:4 Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:5 ============ 2Ti 4:5 But watch thou in all things, endure afflictions, do the work of an evangelist, make full proof of thy ministry.(KJV-1611) 2Ti 4:5 Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:6 ============ 2Ti 4:6 For I am now ready to be offered, and the time of my departure is at hand.(KJV-1611) 2Ti 4:6 Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m' tankou bèt y'ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m' kite lavi sa a/.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:7 ============ 2Ti 4:7 I have fought a good fight, I have finished my course, I have kept the faith:(KJV-1611) 2Ti 4:7 Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:8 ============ 2Ti 4:8 Henceforth there is laid up for me a crown of righteousness, which the Lord, the righteous judge, shall give me at that day: and not to me only, but unto all them also that love his appearing.(KJV-1611) 2Ti 4:8 Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:9 ============ 2Ti 4:9 Do thy diligence to come shortly unto me:(KJV-1611) 2Ti 4:9 Fè posib ou vin jwenn mwen touswit.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:10 ============ 2Ti 4:10 For Demas hath forsaken me, having loved this present world, and is departed unto Thessalonica; Crescens to Galatia, Titus unto Dalmatia.(KJV-1611) 2Ti 4:10 Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:11 ============ 2Ti 4:11 Only Luke is with me. Take Mark, and bring him with thee: for he is profitable to me for the ministry.(KJV-1611) 2Ti 4:11 Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:12 ============ 2Ti 4:12 And Tychicus have I sent to Ephesus.(KJV-1611) 2Ti 4:12 Mwen voye Tichik lavil Efèz.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:13 ============ 2Ti 4:13 The cloke that I left at Troas with Carpus, when thou comest, bring with thee, and the books, but especially the parchments.(KJV-1611) 2Ti 4:13 Lè w'ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l' pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:14 ============ 2Ti 4:14 Alexander the coppersmith did me much evil: the Lord reward him according to his works:(KJV-1611) 2Ti 4:14 Aleksann, bòs fòjon an, fè m' anpil tò. Seyè a va ba l' sa l' merite dapre sa l' fè a.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:15 ============ 2Ti 4:15 Of whom be thou ware also; for he hath greatly withstood our words.(KJV-1611) 2Ti 4:15 Pran prekosyon ou avè l', ou menm tou. Paske li pa t' vle tande sa n'ap di a menm.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:16 ============ 2Ti 4:16 At my first answer no man stood with me, but all men forsook me: I pray God that it may not be laid to their charge.(KJV-1611) 2Ti 4:16 pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:17 ============ 2Ti 4:17 Notwithstanding the Lord stood with me, and strengthened me; that by me the preaching might be fully known, and that all the Gentiles might hear: and I was delivered out of the mouth of the lion.(KJV-1611) 2Ti 4:17 Men, Seyè a te kanpe la avè m', li ban m' fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m' nan bouch lyon an.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:18 ============ 2Ti 4:18 And the Lord shall deliver me from every evil work, and will preserve me unto his heavenly kingdom: to whom be glory for ever and ever. Amen.(KJV-1611) 2Ti 4:18 Seyè a va toujou delivre m' nan tout move pa. L'ap konsève m' pou m' ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:19 ============ 2Ti 4:19 Salute Prisca and Aquila, and the household of Onesiphorus.(KJV-1611) 2Ti 4:19 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:20 ============ 2Ti 4:20 Erastus abode at Corinth: but Trophimus have I left at Miletum sick.(KJV-1611) 2Ti 4:20 Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:21 ============ 2Ti 4:21 Do thy diligence to come before winter. Eubulus greeteth thee, and Pudens, and Linus, and Claudia, and all the brethren.(KJV-1611) 2Ti 4:21 Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.(Creole-HT) ======= 2 Timothy 4:22 ============ 2Ti 4:22 The Lord Jesus Christ be with thy spirit. Grace be with you. Amen.(KJV-1611) 2Ti 4:22 Mwen mande Seyè a pou l' toujou la avèk ou. benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.(Creole-HT) ======= Titus 1:1 ============ Tit 1:1 Paul, a servant of God, and an apostle of Jesus Christ, according to the faith of God's elect, and the acknowledging of the truth which is after godliness;(KJV-1611) Tit 1:1 Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m' pou m' ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m' fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,(Creole-HT) ======= Titus 1:2 ============ Tit 1:2 In hope of eternal life, which God, that cannot lie, promised before the world began;(KJV-1611) Tit 1:2 pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.(Creole-HT) ======= Titus 1:3 ============ Tit 1:3 But hath in due times manifested his word through preaching, which is committed unto me according to the commandment of God our Saviour;(KJV-1611) Tit 1:3 Lè lè li te fikse a rive, li fè nou konnen lavi sa a ak pawòl li, nan mesaj li te renmèt mwen pou m' fè konnen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an, te ban mwen.(Creole-HT) ======= Titus 1:4 ============ Tit 1:4 To Titus, mine own son after the common faith: Grace, mercy, and peace, from God the Father and the Lord Jesus Christ our Saviour.(KJV-1611) Tit 1:4 M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Titus 1:5 ============ Tit 1:5 For this cause left I thee in Crete, that thou shouldest set in order the things that are wanting, and ordain elders in every city, as I had appointed thee:(KJV-1611) Tit 1:5 Mwen te kite ou nan lil Krèt pou ou te kapab òganize tou sa ki pa t' ankò fin regle. Ou te gen pou ou te mete yon gwoup ansyen alatèt legliz la nan chak vil. Chonje sa m' te di ou:(Creole-HT) ======= Titus 1:6 ============ Tit 1:6 If any be blameless, the husband of one wife, having faithful children not accused of riot or unruly.(KJV-1611) Tit 1:6 Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan.(Creole-HT) ======= Titus 1:7 ============ Tit 1:7 For a bishop must be blameless, as the steward of God; not selfwilled, not soon angry, not given to wine, no striker, not given to filthy lucre;(KJV-1611) Tit 1:7 Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.(Creole-HT) ======= Titus 1:8 ============ Tit 1:8 But a lover of hospitality, a lover of good men, sober, just, holy, temperate;(KJV-1611) Tit 1:8 Men, se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l' viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.(Creole-HT) ======= Titus 1:9 ============ Tit 1:9 Holding fast the faithful word as he hath been taught, that he may be able by sound doctrine both to exhort and to convince the gainsayers.(KJV-1611) Tit 1:9 Se pou l' kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l' ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.(Creole-HT) ======= Titus 1:10 ============ Tit 1:10 For there are many unruly and vain talkers and deceivers, specially they of the circumcision:(KJV-1611) Tit 1:10 Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo.(Creole-HT) ======= Titus 1:11 ============ Tit 1:11 Whose mouths must be stopped, who subvert whole houses, teaching things which they ought not, for filthy lucre's sake.(KJV-1611) Tit 1:11 Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon.(Creole-HT) ======= Titus 1:12 ============ Tit 1:12 One of themselves, even a prophet of their own, said, The Cretians are alway liars, evil beasts, slow bellies.(KJV-1611) Tit 1:12 Se yon moun Krèt, yonn nan pwofèt pa yo menm ki di konsa: Moun Krèt toujou ap bay manti. Se yon bann bèt sovaj, yo parese konsa. Lide yo sou manje ase.(Creole-HT) ======= Titus 1:13 ============ Tit 1:13 This witness is true. Wherefore rebuke them sharply, that they may be sound in the faith;(KJV-1611) Tit 1:13 Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo,(Creole-HT) ======= Titus 1:14 ============ Tit 1:14 Not giving heed to Jewish fables, and commandments of men, that turn from the truth.(KJV-1611) Tit 1:14 pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki soti nan moun ki vire do bay verite a.(Creole-HT) ======= Titus 1:15 ============ Tit 1:15 Unto the pure all things are pure: but unto them that are defiled and unbelieving is nothing pure; but even their mind and conscience is defiled.(KJV-1611) Tit 1:15 Pou yon moun k'ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k'ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.(Creole-HT) ======= Titus 1:16 ============ Tit 1:16 They profess that they know God; but in works they deny him, being abominable, and disobedient, and unto every good work reprobate.(KJV-1611) Tit 1:16 Y'ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y'ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.(Creole-HT) ======= Titus 2:1 ============ Tit 2:1 But speak thou the things which become sound doctrine:(KJV-1611) Tit 2:1 Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la.(Creole-HT) ======= Titus 2:2 ============ Tit 2:2 That the aged men be sober, grave, temperate, sound in faith, in charity, in patience.(KJV-1611) Tit 2:2 Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans.(Creole-HT) ======= Titus 2:3 ============ Tit 2:3 The aged women likewise, that they be in behaviour as becometh holiness, not false accusers, not given to much wine, teachers of good things;(KJV-1611) Tit 2:3 Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.(Creole-HT) ======= Titus 2:4 ============ Tit 2:4 That they may teach the young women to be sober, to love their husbands, to love their children,(KJV-1611) Tit 2:4 Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,(Creole-HT) ======= Titus 2:5 ============ Tit 2:5 To be discreet, chaste, keepers at home, good, obedient to their own husbands, that the word of God be not blasphemed.(KJV-1611) Tit 2:5 ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.(Creole-HT) ======= Titus 2:6 ============ Tit 2:6 Young men likewise exhort to be sober minded.(KJV-1611) Tit 2:6 Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.(Creole-HT) ======= Titus 2:7 ============ Tit 2:7 In all things shewing thyself a pattern of good works: in doctrine shewing uncorruptness, gravity, sincerity,(KJV-1611) Tit 2:7 Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.(Creole-HT) ======= Titus 2:8 ============ Tit 2:8 Sound speech, that cannot be condemned; that he that is of the contrary part may be ashamed, having no evil thing to say of you.(KJV-1611) Tit 2:8 Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.(Creole-HT) ======= Titus 2:9 ============ Tit 2:9 Exhort servants to be obedient unto their own masters, and to please them well in all things; not answering again;(KJV-1611) Tit 2:9 Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo.(Creole-HT) ======= Titus 2:10 ============ Tit 2:10 Not purloining, but shewing all good fidelity; that they may adorn the doctrine of God our Saviour in all things.(KJV-1611) Tit 2:10 Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.(Creole-HT) ======= Titus 2:11 ============ Tit 2:11 For the grace of God that bringeth salvation hath appeared to all men,(KJV-1611) Tit 2:11 Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.(Creole-HT) ======= Titus 2:12 ============ Tit 2:12 Teaching us that, denying ungodliness and worldly lusts, we should live soberly, righteously, and godly, in this present world;(KJV-1611) Tit 2:12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.(Creole-HT) ======= Titus 2:13 ============ Tit 2:13 Looking for that blessed hope, and the glorious appearing of the great God and our Saviour Jesus Christ;(KJV-1611) Tit 2:13 Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.(Creole-HT) ======= Titus 2:14 ============ Tit 2:14 Who gave himself for us, that he might redeem us from all iniquity, and purify unto himself a peculiar people, zealous of good works.(KJV-1611) Tit 2:14 Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Titus 2:15 ============ Tit 2:15 These things speak, and exhort, and rebuke with all authority. Let no man despise thee.(KJV-1611) Tit 2:15 Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.(Creole-HT) ======= Titus 3:1 ============ Tit 3:1 Put them in mind to be subject to principalities and powers, to obey magistrates, to be ready to every good work,(KJV-1611) Tit 3:1 Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.(Creole-HT) ======= Titus 3:2 ============ Tit 3:2 To speak evil of no man, to be no brawlers, but gentle, shewing all meekness unto all men.(KJV-1611) Tit 3:2 Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.(Creole-HT) ======= Titus 3:3 ============ Tit 3:3 For we ourselves also were sometimes foolish, disobedient, deceived, serving divers lusts and pleasures, living in malice and envy, hateful, and hating one another.(KJV-1611) Tit 3:3 Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.(Creole-HT) ======= Titus 3:4 ============ Tit 3:4 But after that the kindness and love of God our Saviour toward man appeared,(KJV-1611) Tit 3:4 Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,(Creole-HT) ======= Titus 3:5 ============ Tit 3:5 Not by works of righteousness which we have done, but according to his mercy he saved us, by the washing of regeneration, and renewing of the Holy Ghost;(KJV-1611) Tit 3:5 li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.(Creole-HT) ======= Titus 3:6 ============ Tit 3:6 Which he shed on us abundantly through Jesus Christ our Saviour;(KJV-1611) Tit 3:6 Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.(Creole-HT) ======= Titus 3:7 ============ Tit 3:7 That being justified by his grace, we should be made heirs according to the hope of eternal life.(KJV-1611) Tit 3:7 Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= Titus 3:8 ============ Tit 3:8 This is a faithful saying, and these things I will that thou affirm constantly, that they which have believed in God might be careful to maintain good works. These things are good and profitable unto men.(KJV-1611) Tit 3:8 Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.(Creole-HT) ======= Titus 3:9 ============ Tit 3:9 But avoid foolish questions, and genealogies, and contentions, and strivings about the law; for they are unprofitable and vain.(KJV-1611) Tit 3:9 Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.(Creole-HT) ======= Titus 3:10 ============ Tit 3:10 A man that is an heretick after the first and second admonition reject;(KJV-1611) Tit 3:10 Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.(Creole-HT) ======= Titus 3:11 ============ Tit 3:11 Knowing that he that is such is subverted, and sinneth, being condemned of himself.(KJV-1611) Tit 3:11 Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li.(Creole-HT) ======= Titus 3:12 ============ Tit 3:12 When I shall send Artemas unto thee, or Tychicus, be diligent to come unto me to Nicopolis: for I have determined there to winter.(KJV-1611) Tit 3:12 Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a.(Creole-HT) ======= Titus 3:13 ============ Tit 3:13 Bring Zenas the lawyer and Apollos on their journey diligently, that nothing be wanting unto them.(KJV-1611) Tit 3:13 Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a.(Creole-HT) ======= Titus 3:14 ============ Tit 3:14 And let our's also learn to maintain good works for necessary uses, that they be not unfruitful.(KJV-1611) Tit 3:14 Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.(Creole-HT) ======= Titus 3:15 ============ Tit 3:15 All that are with me salute thee. Greet them that love us in the faith. Grace be with you all. Amen.(KJV-1611) Tit 3:15 Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.(Creole-HT) ======= Philemon 1:1 ============ Phm 1:1 Paul, a prisoner of Jesus Christ, and Timothy our brother, unto Philemon our dearly beloved, and fellowlabourer,(KJV-1611) Phl 1:1 Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,(Creole-HT) ======= Philemon 1:2 ============ Phm 1:2 And to our beloved Apphia, and Archippus our fellowsoldier, and to the church in thy house:(KJV-1611) Phl 1:2 pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.(Creole-HT) ======= Philemon 1:3 ============ Phm 1:3 Grace to you, and peace, from God our Father and the Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Phl 1:3 Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= Philemon 1:4 ============ Phm 1:4 I thank my God, making mention of thee always in my prayers,(KJV-1611) Phl 1:4 Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou.(Creole-HT) ======= Philemon 1:5 ============ Phm 1:5 Hearing of thy love and faith, which thou hast toward the Lord Jesus, and toward all saints;(KJV-1611) Phl 1:5 Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.(Creole-HT) ======= Philemon 1:6 ============ Phm 1:6 That the communication of thy faith may become effectual by the acknowledging of every good thing which is in you in Christ Jesus.(KJV-1611) Phl 1:6 M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.(Creole-HT) ======= Philemon 1:7 ============ Phm 1:7 For we have great joy and consolation in thy love, because the bowels of the saints are refreshed by thee, brother.(KJV-1611) Phl 1:7 Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil.(Creole-HT) ======= Philemon 1:8 ============ Phm 1:8 Wherefore, though I might be much bold in Christ to enjoin thee that which is convenient,(KJV-1611) Phl 1:8 Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,(Creole-HT) ======= Philemon 1:9 ============ Phm 1:9 Yet for love's sake I rather beseech thee, being such an one as Paul the aged, and now also a prisoner of Jesus Christ.(KJV-1611) Phl 1:9 m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,(Creole-HT) ======= Philemon 1:10 ============ Phm 1:10 I beseech thee for my son Onesimus, whom I have begotten in my bonds:(KJV-1611) Phl 1:10 m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m' la nan prizon an.(Creole-HT) ======= Philemon 1:11 ============ Phm 1:11 Which in time past was to thee unprofitable, but now profitable to thee and to me:(KJV-1611) Phl 1:11 Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen.(Creole-HT) ======= Philemon 1:12 ============ Phm 1:12 Whom I have sent again: thou therefore receive him, that is, mine own bowels:(KJV-1611) Phl 1:12 M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen.(Creole-HT) ======= Philemon 1:13 ============ Phm 1:13 Whom I would have retained with me, that in thy stead he might have ministered unto me in the bonds of the gospel:(KJV-1611) Phl 1:13 M' ta byen renmen kenbe l' bò kote m', pou l' te ka sèvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvèl la.(Creole-HT) ======= Philemon 1:14 ============ Phm 1:14 But without thy mind would I do nothing; that thy benefit should not be as it were of necessity, but willingly.(KJV-1611) Phl 1:14 Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.(Creole-HT) ======= Philemon 1:15 ============ Phm 1:15 For perhaps he therefore departed for a season, that thou shouldest receive him for ever;(KJV-1611) Phl 1:15 Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.(Creole-HT) ======= Philemon 1:16 ============ Phm 1:16 Not now as a servant, but above a servant, a brother beloved, specially to me, but how much more unto thee, both in the flesh, and in the Lord?(KJV-1611) Phl 1:16 Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a.(Creole-HT) ======= Philemon 1:17 ============ Phm 1:17 If thou count me therefore a partner, receive him as myself.(KJV-1611) Phl 1:17 Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.(Creole-HT) ======= Philemon 1:18 ============ Phm 1:18 If he hath wronged thee, or oweth thee ought, put that on mine account;(KJV-1611) Phl 1:18 Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen.(Creole-HT) ======= Philemon 1:19 ============ Phm 1:19 I Paul have written it with mine own hand, I will repay it: albeit I do not say to thee how thou owest unto me even thine own self besides.(KJV-1611) Phl 1:19 Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi.(Creole-HT) ======= Philemon 1:20 ============ Phm 1:20 Yea, brother, let me have joy of thee in the Lord: refresh my bowels in the Lord.(KJV-1611) Phl 1:20 Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.(Creole-HT) ======= Philemon 1:21 ============ Phm 1:21 Having confidence in thy obedience I wrote unto thee, knowing that thou wilt also do more than I say.(KJV-1611) Phl 1:21 Se paske mwen konnen w'ap fè sa m' mande ou la ki fè m' ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m' mande ou la.(Creole-HT) ======= Philemon 1:22 ============ Phm 1:22 But withal prepare me also a lodging: for I trust that through your prayers I shall be given unto you.(KJV-1611) Phl 1:22 An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, mkwè Bondye va tande nou, la fè m' favè vin jwenn nou ankò.(Creole-HT) ======= Philemon 1:23 ============ Phm 1:23 There salute thee Epaphras, my fellowprisoner in Christ Jesus;(KJV-1611) Phl 1:23 Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.(Creole-HT) ======= Philemon 1:24 ============ Phm 1:24 Marcus, Aristarchus, Demas, Lucas, my fellowlabourers.(KJV-1611) Phl 1:24 Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.(Creole-HT) ======= Philemon 1:25 ============ Phm 1:25 The grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen.(KJV-1611) Phl 1:25 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:1 ============ Heb 1:1 God, who at sundry times and in divers manners spake in time past unto the fathers by the prophets,(KJV-1611) Heb 1:1 Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:2 ============ Heb 1:2 Hath in these last days spoken unto us by his Son, whom he hath appointed heir of all things, by whom also he made the worlds;(KJV-1611) Heb 1:2 Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:3 ============ Heb 1:3 Who being the brightness of his glory, and the express image of his person, and upholding all things by the word of his power, when he had by himself purged our sins, sat down on the right hand of the Majesty on high:(KJV-1611) Heb 1:3 Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:4 ============ Heb 1:4 Being made so much better than the angels, as he hath by inheritance obtained a more excellent name than they.(KJV-1611) Heb 1:4 Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:5 ============ Heb 1:5 For unto which of the angels said he at any time, Thou art my Son, this day have I begotten thee? And again, I will be to him a Father, and he shall be to me a Son?(KJV-1611) Heb 1:5 Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:6 ============ Heb 1:6 And again, when he bringeth in the firstbegotten into the world, he saith, And let all the angels of God worship him.(KJV-1611) Heb 1:6 Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:7 ============ Heb 1:7 And of the angels he saith, Who maketh his angels spirits, and his ministers a flame of fire.(KJV-1611) Heb 1:7 Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:8 ============ Heb 1:8 But unto the Son he saith, Thy throne, O God, is for ever and ever: a sceptre of righteousness is the sceptre of thy kingdom.(KJV-1611) Heb 1:8 Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:9 ============ Heb 1:9 Thou hast loved righteousness, and hated iniquity; therefore God, even thy God, hath anointed thee with the oil of gladness above thy fellows.(KJV-1611) Heb 1:9 Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:10 ============ Heb 1:10 And, Thou, Lord, in the beginning hast laid the foundation of the earth; and the heavens are the works of thine hands:(KJV-1611) Heb 1:10 Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:11 ============ Heb 1:11 They shall perish; but thou remainest; and they all shall wax old as doth a garment;(KJV-1611) Heb 1:11 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:12 ============ Heb 1:12 And as a vesture shalt thou fold them up, and they shall be changed: but thou art the same, and thy years shall not fail.(KJV-1611) Heb 1:12 W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:13 ============ Heb 1:13 But to which of the angels said he at any time, Sit on my right hand, until I make thine enemies thy footstool?(KJV-1611) Heb 1:13 Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.(Creole-HT) ======= Hebrews 1:14 ============ Heb 1:14 Are they not all ministering spirits, sent forth to minister for them who shall be heirs of salvation?(KJV-1611) Heb 1:14 Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:1 ============ Heb 2:1 Therefore we ought to give the more earnest heed to the things which we have heard, lest at any time we should let them slip.(KJV-1611) Heb 2:1 Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:2 ============ Heb 2:2 For if the word spoken by angels was stedfast, and every transgression and disobedience received a just recompence of reward;(KJV-1611) Heb 2:2 Pawòl zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pa t' okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l' yo te resevwa chatiman yo te merite a.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:3 ============ Heb 2:3 How shall we escape, if we neglect so great salvation; which at the first began to be spoken by the Lord, and was confirmed unto us by them that heard him;(KJV-1611) Heb 2:3 Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:4 ============ Heb 2:4 God also bearing them witness, both with signs and wonders, and with divers miracles, and gifts of the Holy Ghost, according to his own will?(KJV-1611) Heb 2:4 Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l' vle.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:5 ============ Heb 2:5 For unto the angels hath he not put in subjection the world to come, whereof we speak.(KJV-1611) Heb 2:5 Bondye pa t' bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:6 ============ Heb 2:6 But one in a certain place testified, saying, What is man, that thou art mindful of him? or the son of man that thou visitest him?(KJV-1611) Heb 2:6 Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa?(Creole-HT) ======= Hebrews 2:7 ============ Heb 2:7 Thou madest him a little lower than the angels; thou crownedst him with glory and honour, and didst set him over the works of thy hands:(KJV-1611) Heb 2:7 Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:8 ============ Heb 2:8 Thou hast put all things in subjection under his feet. For in that he put all in subjection under him, he left nothing that is not put under him. But now we see not yet all things put under him.(KJV-1611) Heb 2:8 Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm, sa vle di pa gen anyen ki pa sou zòd yo. Men, nou wè koulye a moun pa gen pouvwa sou tout bagay.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:9 ============ Heb 2:9 But we see Jesus, who was made a little lower than the angels for the suffering of death, crowned with glory and honour; that he by the grace of God should taste death for every man.(KJV-1611) Heb 2:9 Okontre, lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l' pi ba pase zanj yo, pou l' te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Koulye a, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:10 ============ Heb 2:10 For it became him, for whom are all things, and by whom are all things, in bringing many sons unto glory, to make the captain of their salvation perfect through sufferings.(KJV-1611) Heb 2:10 Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l' te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:11 ============ Heb 2:11 For both he that sanctifieth and they who are sanctified are all of one: for which cause he is not ashamed to call them brethren,(KJV-1611) Heb 2:11 Ni moun ki netwaye lèzòm anba peche yo, ki vle di Jezi, ni lèzòm li netwaye yo, yo tout gen yon sèl papa. Se poutèt sa, Jezi pa wont rele yo frè,(Creole-HT) ======= Hebrews 2:12 ============ Heb 2:12 Saying, I will declare thy name unto my brethren, in the midst of the church will I sing praise unto thee.(KJV-1611) Heb 2:12 jan l' te di sa nan Liv la: Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m' yo. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:13 ============ Heb 2:13 And again, I will put my trust in him. And again, Behold I and the children which God hath given me.(KJV-1611) Heb 2:13 Li di ankò: M'a mete tout konfyans mwen nan Bondye. Apre sa, li di ankò: Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:14 ============ Heb 2:14 Forasmuch then as the children are partakers of flesh and blood, he also himself likewise took part of the same; that through death he might destroy him that had the power of death, that is, the devil;(KJV-1611) Heb 2:14 Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:15 ============ Heb 2:15 And deliver them who through fear of death were all their lifetime subject to bondage.(KJV-1611) Heb 2:15 Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:16 ============ Heb 2:16 For verily he took not on him the nature of angels; but he took on him the seed of Abraham.(KJV-1611) Heb 2:16 Sa se bagay ki klè: li pa t' vin pote sekou bay zanj Bondye yo. Jan sa ekri nan Liv la: Li vin pote sekou bay tout moun ras Abraram yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:17 ============ Heb 2:17 Wherefore in all things it behoved him to be made like unto his brethren, that he might be a merciful and faithful high priest in things pertaining to God, to make reconciliation for the sins of the people.(KJV-1611) Heb 2:17 Se konsa, li te fèt pou l' te vin tankou frè l' yo sou tout pwen, pou l' te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.(Creole-HT) ======= Hebrews 2:18 ============ Heb 2:18 For in that he himself hath suffered being tempted, he is able to succour them that are tempted.(KJV-1611) Heb 2:18 Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:1 ============ Heb 3:1 Wherefore, holy brethren, partakers of the heavenly calling, consider the Apostle and High Priest of our profession, Christ Jesus;(KJV-1611) Heb 3:1 Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:2 ============ Heb 3:2 Who was faithful to him that appointed him, as also Moses was faithful in all his house.(KJV-1611) Heb 3:2 Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:3 ============ Heb 3:3 For this man was counted worthy of more glory than Moses, inasmuch as he who hath builded the house hath more honour than the house.(KJV-1611) Heb 3:3 Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:4 ============ Heb 3:4 For every house is builded by some man; but he that built all things is God.(KJV-1611) Heb 3:4 Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:5 ============ Heb 3:5 And Moses verily was faithful in all his house, as a servant, for a testimony of those things which were to be spoken after;(KJV-1611) Heb 3:5 Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:6 ============ Heb 3:6 But Christ as a son over his own house; whose house are we, if we hold fast the confidence and the rejoicing of the hope firm unto the end.(KJV-1611) Heb 3:6 Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:7 ============ Heb 3:7 Wherefore (as the Holy Ghost saith, To day if ye will hear his voice,(KJV-1611) Heb 3:7 Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,(Creole-HT) ======= Hebrews 3:8 ============ Heb 3:8 Harden not your hearts, as in the provocation, in the day of temptation in the wilderness:(KJV-1611) Heb 3:8 pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:9 ============ Heb 3:9 When your fathers tempted me, proved me, and saw my works forty years.(KJV-1611) Heb 3:9 Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:10 ============ Heb 3:10 Wherefore I was grieved with that generation, and said, They do alway err in their heart; and they have not known my ways.(KJV-1611) Heb 3:10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:11 ============ Heb 3:11 So I sware in my wrath, They shall not enter into my rest.)(KJV-1611) Heb 3:11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:12 ============ Heb 3:12 Take heed, brethren, lest there be in any of you an evil heart of unbelief, in departing from the living God.(KJV-1611) Heb 3:12 Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:13 ============ Heb 3:13 But exhort one another daily, while it is called To day; lest any of you be hardened through the deceitfulness of sin.(KJV-1611) Heb 3:13 Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:14 ============ Heb 3:14 For we are made partakers of Christ, if we hold the beginning of our confidence stedfast unto the end;(KJV-1611) Heb 3:14 Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:15 ============ Heb 3:15 While it is said, To day if ye will hear his voice, harden not your hearts, as in the provocation.(KJV-1611) Heb 3:15 Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:16 ============ Heb 3:16 For some, when they had heard, did provoke: howbeit not all that came out of Egypt by Moses.(KJV-1611) Heb 3:16 Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:17 ============ Heb 3:17 But with whom was he grieved forty years? was it not with them that had sinned, whose carcases fell in the wilderness?(KJV-1611) Heb 3:17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:18 ============ Heb 3:18 And to whom sware he that they should not enter into his rest, but to them that believed not?(KJV-1611) Heb 3:18 Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 3:19 ============ Heb 3:19 So we see that they could not enter in because of unbelief.(KJV-1611) Heb 3:19 Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:1 ============ Heb 4:1 Let us therefore fear, lest, a promise being left us of entering into his rest, any of you should seem to come short of it.(KJV-1611) Heb 4:1 Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:2 ============ Heb 4:2 For unto us was the gospel preached, as well as unto them: but the word preached did not profit them, not being mixed with faith in them that heard it.(KJV-1611) Heb 4:2 Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:3 ============ Heb 4:3 For we which have believed do enter into rest, as he said, As I have sworn in my wrath, if they shall enter into my rest: although the works were finished from the foundation of the world.(KJV-1611) Heb 4:3 Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:4 ============ Heb 4:4 For he spake in a certain place of the seventh day on this wise, And God did rest the seventh day from all his works.(KJV-1611) Heb 4:4 Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:5 ============ Heb 4:5 And in this place again, If they shall enter into my rest.(KJV-1611) Heb 4:5 Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:6 ============ Heb 4:6 Seeing therefore it remaineth that some must enter therein, and they to whom it was first preached entered not in because of unbelief:(KJV-1611) Heb 4:6 Moun ki te resevwa bon nouvèl la an premye, yo pa t' antre kote sa a paske yo pa t' mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:7 ============ Heb 4:7 Again, he limiteth a certain day, saying in David, To day, after so long a time; as it is said, To day if ye will hear his voice, harden not your hearts.(KJV-1611) Heb 4:7 Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:8 ============ Heb 4:8 For if Jesus had given them rest, then would he not afterward have spoken of another day.(KJV-1611) Heb 4:8 Paske, si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:9 ============ Heb 4:9 There remaineth therefore a rest to the people of God.(KJV-1611) Heb 4:9 Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:10 ============ Heb 4:10 For he that is entered into his rest, he also hath ceased from his own works, as God did from his.(KJV-1611) Heb 4:10 Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:11 ============ Heb 4:11 Let us labour therefore to enter into that rest, lest any man fall after the same example of unbelief.(KJV-1611) Heb 4:11 Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:12 ============ Heb 4:12 For the word of God is quick, and powerful, and sharper than any twoedged sword, piercing even to the dividing asunder of soul and spirit, and of the joints and marrow, and is a discerner of the thoughts and intents of the heart.(KJV-1611) Heb 4:12 Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:13 ============ Heb 4:13 Neither is there any creature that is not manifest in his sight: but all things are naked and opened unto the eyes of him with whom we have to do.(KJV-1611) Heb 4:13 Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:14 ============ Heb 4:14 Seeing then that we have a great high priest, that is passed into the heavens, Jesus the Son of God, let us hold fast our profession.(KJV-1611) Heb 4:14 Ann kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:15 ============ Heb 4:15 For we have not an high priest which cannot be touched with the feeling of our infirmities; but was in all points tempted like as we are, yet without sin.(KJV-1611) Heb 4:15 Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.(Creole-HT) ======= Hebrews 4:16 ============ Heb 4:16 Let us therefore come boldly unto the throne of grace, that we may obtain mercy, and find grace to help in time of need.(KJV-1611) Heb 4:16 Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:1 ============ Heb 5:1 For every high priest taken from among men is ordained for men in things pertaining to God, that he may offer both gifts and sacrifices for sins:(KJV-1611) Heb 5:1 Se pami moun yo toujou chwazi yon granprèt, lèfini yo mete l' apa pou l' ka fè sèvis Bondye pou yo. Se li menm tou ki pou ofri kado ak bèt pou touye pou peche yo bay Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:2 ============ Heb 5:2 Who can have compassion on the ignorant, and on them that are out of the way; for that he himself also is compassed with infirmity.(KJV-1611) Heb 5:2 Li toujou gen anpil pasyans ak moun ki pa konnen, ak moun k'ap fè sa yo pa t' dwe fè, paske li menm poutèt pa l', li fèb tou sou anpil pwen.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:3 ============ Heb 5:3 And by reason hereof he ought, as for the people, so also for himself, to offer for sins.(KJV-1611) Heb 5:3 Se sak fè, se pa sèlman pou peche pèp la li gen pou l' ofri bèt pou yo touye bay Bondye, men se pou peche pa l' yo tou, paske li menm tou li fèb.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:4 ============ Heb 5:4 And no man taketh this honour unto himself, but he that is called of God, as was Aaron.(KJV-1611) Heb 5:4 Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:5 ============ Heb 5:5 So also Christ glorified not himself to be made an high priest; but he that said unto him, Thou art my Son, to day have I begotten thee.(KJV-1611) Heb 5:5 Se konsa, Kris la pa t' chwazi tèt li pou l' te resevwa grad granprèt la. Okontrè, li resevwa l' nan men Bondye ki te di li: Ou se pitit mwen, depi jòdi a se mwen ki papa ou.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:6 ============ Heb 5:6 As he saith also in another place, Thou art a priest for ever after the order of Melchisedec.(KJV-1611) Heb 5:6 Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:7 ============ Heb 5:7 Who in the days of his flesh, when he had offered up prayers and supplications with strong crying and tears unto him that was able to save him from death, and was heard in that he feared;(KJV-1611) Heb 5:7 Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:8 ============ Heb 5:8 Though he were a Son, yet learned he obedience by the things which he suffered;(KJV-1611) Heb 5:8 Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:9 ============ Heb 5:9 And being made perfect, he became the author of eternal salvation unto all them that obey him;(KJV-1611) Heb 5:9 Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,(Creole-HT) ======= Hebrews 5:10 ============ Heb 5:10 Called of God an high priest after the order of Melchisedec.(KJV-1611) Heb 5:10 paske lè sa a, Bondye deklare se yon granprèt menm jan ak Mèlkisedèk li ye.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:11 ============ Heb 5:11 Of whom we have many things to say, and hard to be uttered, seeing ye are dull of hearing.(KJV-1611) Heb 5:11 Mwen gen anpil bagay pou m' ta di nou sou sa ankò. Men, se bagay ki difisil anpil pou esplike nou, paske nou lou toujou nan konprann nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:12 ============ Heb 5:12 For when for the time ye ought to be teachers, ye have need that one teach you again which be the first principles of the oracles of God; and are become such as have need of milk, and not of strong meat.(KJV-1611) Heb 5:12 Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:13 ============ Heb 5:13 For every one that useth milk is unskilful in the word of righteousness: for he is a babe.(KJV-1611) Heb 5:13 Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.(Creole-HT) ======= Hebrews 5:14 ============ Heb 5:14 But strong meat belongeth to them that are of full age, even those who by reason of use have their senses exercised to discern both good and evil.(KJV-1611) Heb 5:14 Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:1 ============ Heb 6:1 Therefore leaving the principles of the doctrine of Christ, let us go on unto perfection; not laying again the foundation of repentance from dead works, and of faith toward God,(KJV-1611) Heb 6:1 Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:2 ============ Heb 6:2 Of the doctrine of baptisms, and of laying on of hands, and of resurrection of the dead, and of eternal judgment.(KJV-1611) Heb 6:2 Non, nou pa pral pale nou ankò sou batèm yo, sou sèvis pou mete men sou tèt moun ki kwè yo, sou keksyon lè moun mouri yo va leve, sou jijman ki p'ap janm kase a.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:3 ============ Heb 6:3 And this will we do, if God permit.(KJV-1611) Heb 6:3 Ann pouse pi devan! Se sa nou pral fè koulye a, si Bondye penmèt nou sa.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:4 ============ Heb 6:4 For it is impossible for those who were once enlightened, and have tasted of the heavenly gift, and were made partakers of the Holy Ghost,(KJV-1611) Heb 6:4 Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:5 ============ Heb 6:5 And have tasted the good word of God, and the powers of the world to come,(KJV-1611) Heb 6:5 Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l' te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:6 ============ Heb 6:6 If they shall fall away, to renew them again unto repentance; seeing they crucify to themselves the Son of God afresh, and put him to an open shame.(KJV-1611) Heb 6:6 Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l' wont devan tout moun ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:7 ============ Heb 6:7 For the earth which drinketh in the rain that cometh oft upon it, and bringeth forth herbs meet for them by whom it is dressed, receiveth blessing from God:(KJV-1611) Heb 6:7 Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:8 ============ Heb 6:8 But that which beareth thorns and briers is rejected, and is nigh unto cursing; whose end is to be burned.(KJV-1611) Heb 6:8 Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l' madichon. Lè sa a, yo ka boule li.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:9 ============ Heb 6:9 But, beloved, we are persuaded better things of you, and things that accompany salvation, though we thus speak.(KJV-1611) Heb 6:9 Nou mèt wè m' ap pale konsa, frè m' yo, mwen gen anpil konfyans nan nou toujou. Mwen konnen nou nan chemen ki pou delivre nou an.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:10 ============ Heb 6:10 For God is not unrighteous to forget your work and labour of love, which ye have shewed toward his name, in that ye have ministered to the saints, and do minister.(KJV-1611) Heb 6:10 Paske, Bondye pa mechan pou l' ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk koulye a toujou.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:11 ============ Heb 6:11 And we desire that every one of you do shew the same diligence to the full assurance of hope unto the end:(KJV-1611) Heb 6:11 Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:12 ============ Heb 6:12 That ye be not slothful, but followers of them who through faith and patience inherit the promises.(KJV-1611) Heb 6:12 Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:13 ============ Heb 6:13 For when God made promise to Abraham, because he could swear by no greater, he sware by himself,(KJV-1611) Heb 6:13 Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:14 ============ Heb 6:14 Saying, Surely blessing I will bless thee, and multiplying I will multiply thee.(KJV-1611) Heb 6:14 Li te di: Mwen pwomèt ou pou m' beni ou, pou m' ba ou anpil anpil pitit pitit.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:15 ============ Heb 6:15 And so, after he had patiently endured, he obtained the promise.(KJV-1611) Heb 6:15 Abraram te rete tann ak pasyans. Se konsa li resevwa sa Bondye te pwomèt li a.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:16 ============ Heb 6:16 For men verily swear by the greater: and an oath for confirmation is to them an end of all strife.(KJV-1611) Heb 6:16 Lè moun ap fè sèman, yo sèmante sou sa ki pi gran pase yo. Yo pran sèman an pou yon garanti pou fini tout diskisyon yo ka gen yonn ak lòt.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:17 ============ Heb 6:17 Wherein God, willing more abundantly to shew unto the heirs of promise the immutability of his counsel, confirmed it by an oath:(KJV-1611) Heb 6:17 Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:18 ============ Heb 6:18 That by two immutable things, in which it was impossible for God to lie, we might have a strong consolation, who have fled for refuge to lay hold upon the hope set before us:(KJV-1611) Heb 6:18 Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l', sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:19 ============ Heb 6:19 Which hope we have as an anchor of the soul, both sure and stedfast, and which entereth into that within the veil;(KJV-1611) Heb 6:19 Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m', byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 6:20 ============ Heb 6:20 Whither the forerunner is for us entered, even Jesus, made an high priest for ever after the order of Melchisedec.(KJV-1611) Heb 6:20 Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:1 ============ Heb 7:1 For this Melchisedec, king of Salem, priest of the most high God, who met Abraham returning from the slaughter of the kings, and blessed him;(KJV-1611) Heb 7:1 Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:2 ============ Heb 7:2 To whom also Abraham gave a tenth part of all; first being by interpretation King of righteousness, and after that also King of Salem, which is, King of peace;(KJV-1611) Heb 7:2 Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:3 ============ Heb 7:3 Without father, without mother, without descent, having neither beginning of days, nor end of life; but made like unto the Son of God; abideth a priest continually.(KJV-1611) Heb 7:3 Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l', ni manman l', ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l' te fèt, ni ki bò l' mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:4 ============ Heb 7:4 Now consider how great this man was, unto whom even the patriarch Abraham gave the tenth of the spoils.(KJV-1611) Heb 7:4 Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:5 ============ Heb 7:5 And verily they that are of the sons of Levi, who receive the office of the priesthood, have a commandment to take tithes of the people according to the law, that is, of their brethren, though they come out of the loins of Abraham:(KJV-1611) Heb 7:5 Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:6 ============ Heb 7:6 But he whose descent is not counted from them received tithes of Abraham, and blessed him that had the promises.(KJV-1611) Heb 7:6 Mèlkisedèk menm pa t' moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:7 ============ Heb 7:7 And without all contradiction the less is blessed of the better.(KJV-1611) Heb 7:7 Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:8 ============ Heb 7:8 And here men that die receive tithes; but there he receiveth them, of whom it is witnessed that he liveth.(KJV-1611) Heb 7:8 Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:9 ============ Heb 7:9 And as I may so say, Levi also, who receiveth tithes, payed tithes in Abraham.(KJV-1611) Heb 7:9 Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l' tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:10 ============ Heb 7:10 For he was yet in the loins of his father, when Melchisedec met him.(KJV-1611) Heb 7:10 Paske, nan yon sans, Levi ki pa t' ankò fèt te nan ren granpapa l', Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l' la.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:11 ============ Heb 7:11 If therefore perfection were by the Levitical priesthood, (for under it the people received the law,) what further need was there that another priest should rise after the order of Melchisedec, and not be called after the order of Aaron?(KJV-1611) Heb 7:11 Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:12 ============ Heb 7:12 For the priesthood being changed, there is made of necessity a change also of the law.(KJV-1611) Heb 7:12 Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:13 ============ Heb 7:13 For he of whom these things are spoken pertaineth to another tribe, of which no man gave attendance at the altar.(KJV-1611) Heb 7:13 Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Seyè a y'ap pale. Men li menm, li soti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pesonn ladan l' ki te konn fè sèvis prèt yo devan lòtèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:14 ============ Heb 7:14 For it is evident that our Lord sprang out of Juda; of which tribe Moses spake nothing concerning priesthood.(KJV-1611) Heb 7:14 Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t' janm bay non sa a lè li t'ap pale sou prèt yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:15 ============ Heb 7:15 And it is yet far more evident: for that after the similitude of Melchisedec there ariseth another priest,(KJV-1611) Heb 7:15 Bon, men yon lòt pwen k'ap eklèsi keksyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:16 ============ Heb 7:16 Who is made, not after the law of a carnal commandment, but after the power of an endless life.(KJV-1611) Heb 7:16 Yo pa t' fè l' prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p'ap janm fini an kifè yo fè l' prèt.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:17 ============ Heb 7:17 For he testifieth, Thou art a priest for ever after the order of Melchisedec.(KJV-1611) Heb 7:17 Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:18 ============ Heb 7:18 For there is verily a disannulling of the commandment going before for the weakness and unprofitableness thereof.(KJV-1611) Heb 7:18 Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:19 ============ Heb 7:19 For the law made nothing perfect, but the bringing in of a better hope did; by the which we draw nigh unto God.(KJV-1611) Heb 7:19 Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:20 ============ Heb 7:20 And inasmuch as not without an oath he was made priest:(KJV-1611) Heb 7:20 Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l' pa t' fè sèman.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:21 ============ Heb 7:21 (For those priests were made without an oath; but this with an oath by him that said unto him, The Lord sware and will not repent, Thou art a priest for ever after the order of Melchisedec:)(KJV-1611) Heb 7:21 Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t'ap mete l' prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L'ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:22 ============ Heb 7:22 By so much was Jesus made a surety of a better testament.(KJV-1611) Heb 7:22 Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:23 ============ Heb 7:23 And they truly were many priests, because they were not suffered to continue by reason of death:(KJV-1611) Heb 7:23 Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t'ap mouri. Yon sèl pa t' ka kenbe travay la nèt ale.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:24 ============ Heb 7:24 But this man, because he continueth ever, hath an unchangeable priesthood.(KJV-1611) Heb 7:24 Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l' nan plas li.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:25 ============ Heb 7:25 Wherefore he is able also to save them to the uttermost that come unto God by him, seeing he ever liveth to make intercession for them.(KJV-1611) Heb 7:25 Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:26 ============ Heb 7:26 For such an high priest became us, who is holy, harmless, undefiled, separate from sinners, and made higher than the heavens;(KJV-1611) Heb 7:26 Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l' apa, yo wete l' nan mitan moun k'ap fè peche yo. Bondye leve l', li mete l' pi wo pase syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:27 ============ Heb 7:27 Who needeth not daily, as those high priests, to offer up sacrifice, first for his own sins, and then for the people's: for this he did once, when he offered up himself.(KJV-1611) Heb 7:27 Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.(Creole-HT) ======= Hebrews 7:28 ============ Heb 7:28 For the law maketh men high priests which have infirmity; but the word of the oath, which was since the law, maketh the Son, who is consecrated for evermore.(KJV-1611) Heb 7:28 Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:1 ============ Heb 8:1 Now of the things which we have spoken this is the sum: We have such an high priest, who is set on the right hand of the throne of the Majesty in the heavens;(KJV-1611) Heb 8:1 Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m'ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:2 ============ Heb 8:2 A minister of the sanctuary, and of the true tabernacle, which the Lord pitched, and not man.(KJV-1611) Heb 8:2 L'ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t' moun ki te bati l' pou li.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:3 ============ Heb 8:3 For every high priest is ordained to offer gifts and sacrifices: wherefore it is of necessity that this man have somewhat also to offer.(KJV-1611) Heb 8:3 Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l' ofri tou.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:4 ============ Heb 8:4 For if he were on earth, he should not be a priest, seeing that there are priests that offer gifts according to the law:(KJV-1611) Heb 8:4 Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l' la.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:5 ============ Heb 8:5 Who serve unto the example and shadow of heavenly things, as Moses was admonished of God when he was about to make the tabernacle: for, See, saith he, that thou make all things according to the pattern shewed to thee in the mount.(KJV-1611) Heb 8:5 Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbraj sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:6 ============ Heb 8:6 But now hath he obtained a more excellent ministry, by how much also he is the mediator of a better covenant, which was established upon better promises.(KJV-1611) Heb 8:6 Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l' fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:7 ============ Heb 8:7 For if that first covenant had been faultless, then should no place have been sought for the second.(KJV-1611) Heb 8:7 Si premye kontra a pa t' gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:8 ============ Heb 8:8 For finding fault with them, he saith, Behold, the days come, saith the Lord, when I will make a new covenant with the house of Israel and with the house of Judah:(KJV-1611) Heb 8:8 Men, Bondye te gen repwòch pou l' fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m' fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:9 ============ Heb 8:9 Not according to the covenant that I made with their fathers in the day when I took them by the hand to lead them out of the land of Egypt; because they continued not in my covenant, and I regarded them not, saith the Lord.(KJV-1611) Heb 8:9 Bondye di ankò: Se p'ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t' fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t' okipe yo tou.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:10 ============ Heb 8:10 For this is the covenant that I will make with the house of Israel after those days, saith the Lord; I will put my laws into their mind, and write them in their hearts: and I will be to them a God, and they shall be to me a people:(KJV-1611) Heb 8:10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m' yo nan lespri yo, m'a make lwa m' yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:11 ============ Heb 8:11 And they shall not teach every man his neighbour, and every man his brother, saying, Know the Lord: for all shall know me, from the least to the greatest.(KJV-1611) Heb 8:11 Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:12 ============ Heb 8:12 For I will be merciful to their unrighteousness, and their sins and their iniquities will I remember no more.(KJV-1611) Heb 8:12 M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 8:13 ============ Heb 8:13 In that he saith, A new covenant, he hath made the first old. Now that which decayeth and waxeth old is ready to vanish away.(KJV-1611) Heb 8:13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:1 ============ Heb 9:1 Then verily the first covenant had also ordinances of divine service, and a worldly sanctuary.(KJV-1611) Heb 9:1 Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:2 ============ Heb 9:2 For there was a tabernacle made; the first, wherein was the candlestick, and the table, and the shewbread; which is called the sanctuary.(KJV-1611) Heb 9:2 Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:3 ============ Heb 9:3 And after the second veil, the tabernacle which is called the Holiest of all;(KJV-1611) Heb 9:3 Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:4 ============ Heb 9:4 Which had the golden censer, and the ark of the covenant overlaid round about with gold, wherein was the golden pot that had manna, and Aaron's rod that budded, and the tables of the covenant;(KJV-1611) Heb 9:4 Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:5 ============ Heb 9:5 And over it the cherubims of glory shadowing the mercyseat; of which we cannot now speak particularly.(KJV-1611) Heb 9:5 Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:6 ============ Heb 9:6 Now when these things were thus ordained, the priests went always into the first tabernacle, accomplishing the service of God.(KJV-1611) Heb 9:6 Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:7 ============ Heb 9:7 But into the second went the high priest alone once every year, not without blood, which he offered for himself, and for the errors of the people:(KJV-1611) Heb 9:7 Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:8 ============ Heb 9:8 The Holy Ghost this signifying, that the way into the holiest of all was not yet made manifest, while as the first tabernacle was yet standing:(KJV-1611) Heb 9:8 Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:9 ============ Heb 9:9 Which was a figure for the time then present, in which were offered both gifts and sacrifices, that could not make him that did the service perfect, as pertaining to the conscience;(KJV-1611) Heb 9:9 Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:10 ============ Heb 9:10 Which stood only in meats and drinks, and divers washings, and carnal ordinances, imposed on them until the time of reformation.(KJV-1611) Heb 9:10 Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:11 ============ Heb 9:11 But Christ being come an high priest of good things to come, by a greater and more perfect tabernacle, not made with hands, that is to say, not of this building;(KJV-1611) Heb 9:11 Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:12 ============ Heb 9:12 Neither by the blood of goats and calves, but by his own blood he entered in once into the holy place, having obtained eternal redemption for us.(KJV-1611) Heb 9:12 Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:13 ============ Heb 9:13 For if the blood of bulls and of goats, and the ashes of an heifer sprinkling the unclean, sanctifieth to the purifying of the flesh:(KJV-1611) Heb 9:13 Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye,(Creole-HT) ======= Hebrews 9:14 ============ Heb 9:14 How much more shall the blood of Christ, who through the eternal Spirit offered himself without spot to God, purge your conscience from dead works to serve the living God?(KJV-1611) Heb 9:14 nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:15 ============ Heb 9:15 And for this cause he is the mediator of the new testament, that by means of death, for the redemption of the transgressions that were under the first testament, they which are called might receive the promise of eternal inheritance.(KJV-1611) Heb 9:15 Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:16 ============ Heb 9:16 For where a testament is, there must also of necessity be the death of the testator.(KJV-1611) Heb 9:16 Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:17 ============ Heb 9:17 For a testament is of force after men are dead: otherwise it is of no strength at all while the testator liveth.(KJV-1611) Heb 9:17 Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:18 ============ Heb 9:18 Whereupon neither the first testament was dedicated without blood.(KJV-1611) Heb 9:18 Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:19 ============ Heb 9:19 For when Moses had spoken every precept to all the people according to the law, he took the blood of calves and of goats, with water, and scarlet wool, and hyssop, and sprinkled both the book, and all the people,(KJV-1611) Heb 9:19 Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:20 ============ Heb 9:20 Saying, This is the blood of the testament which God hath enjoined unto you.(KJV-1611) Heb 9:20 Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:21 ============ Heb 9:21 Moreover he sprinkled with blood both the tabernacle, and all the vessels of the ministry.(KJV-1611) Heb 9:21 Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:22 ============ Heb 9:22 And almost all things are by the law purged with blood; and without shedding of blood is no remission.(KJV-1611) Heb 9:22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:23 ============ Heb 9:23 It was therefore necessary that the patterns of things in the heavens should be purified with these; but the heavenly things themselves with better sacrifices than these.(KJV-1611) Heb 9:23 Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:24 ============ Heb 9:24 For Christ is not entered into the holy places made with hands, which are the figures of the true; but into heaven itself, now to appear in the presence of God for us:(KJV-1611) Heb 9:24 Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:25 ============ Heb 9:25 Nor yet that he should offer himself often, as the high priest entereth into the holy place every year with blood of others;(KJV-1611) Heb 9:25 Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:26 ============ Heb 9:26 For then must he often have suffered since the foundation of the world: but now once in the end of the world hath he appeared to put away sin by the sacrifice of himself.(KJV-1611) Heb 9:26 Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:27 ============ Heb 9:27 And as it is appointed unto men once to die, but after this the judgment:(KJV-1611) Heb 9:27 Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 9:28 ============ Heb 9:28 So Christ was once offered to bear the sins of many; and unto them that look for him shall he appear the second time without sin unto salvation.(KJV-1611) Heb 9:28 Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:1 ============ Heb 10:1 For the law having a shadow of good things to come, and not the very image of the things, can never with those sacrifices which they offered year by year continually make the comers thereunto perfect.(KJV-1611) Heb 10:1 Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:2 ============ Heb 10:2 For then would they not have ceased to be offered? because that the worshippers once purged should have had no more conscience of sins.(KJV-1611) Heb 10:2 Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:3 ============ Heb 10:3 But in those sacrifices there is a remembrance again made of sins every year.(KJV-1611) Heb 10:3 Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:4 ============ Heb 10:4 For it is not possible that the blood of bulls and of goats should take away sins.(KJV-1611) Heb 10:4 Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p'ap janm ka wete peche moun.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:5 ============ Heb 10:5 Wherefore when he cometh into the world, he saith, Sacrifice and offering thou wouldest not, but a body hast thou prepared me:(KJV-1611) Heb 10:5 Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:6 ============ Heb 10:6 In burnt offerings and sacrifices for sin thou hast had no pleasure.(KJV-1611) Heb 10:6 Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k'ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touye pou wete peche yo k'ap fè ou plezi.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:7 ============ Heb 10:7 Then said I, Lo, I come (in the volume of the book it is written of me,) to do thy will, O God.(KJV-1611) Heb 10:7 Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:8 ============ Heb 10:8 Above when he said, Sacrifice and offering and burnt offerings and offering for sin thou wouldest not, neither hadst pleasure therein; which are offered by the law;(KJV-1611) Heb 10:8 Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:9 ============ Heb 10:9 Then said he, Lo, I come to do thy will, O God. He taketh away the first, that he may establish the second.(KJV-1611) Heb 10:9 Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:10 ============ Heb 10:10 By the which will we are sanctified through the offering of the body of Jesus Christ once for all.(KJV-1611) Heb 10:10 Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l' fini.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:11 ============ Heb 10:11 And every priest standeth daily ministering and offering oftentimes the same sacrifices, which can never take away sins:(KJV-1611) Heb 10:11 Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:12 ============ Heb 10:12 But this man, after he had offered one sacrifice for sins for ever, sat down on the right hand of God;(KJV-1611) Heb 10:12 Men, Kris la pou tèt pa l' fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:13 ============ Heb 10:13 From henceforth expecting till his enemies be made his footstool.(KJV-1611) Heb 10:13 Koulye a, se la l'ap tann Bondye mete tout lènmi l' yo tankou yon ti ban pou lonje pye li.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:14 ============ Heb 10:14 For by one offering he hath perfected for ever them that are sanctified.(KJV-1611) Heb 10:14 Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:15 ============ Heb 10:15 Whereof the Holy Ghost also is a witness to us: for after that he had said before,(KJV-1611) Heb 10:15 Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di:(Creole-HT) ======= Hebrews 10:16 ============ Heb 10:16 This is the covenant that I will make with them after those days, saith the Lord, I will put my laws into their hearts, and in their minds will I write them;(KJV-1611) Heb 10:16 Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M'a mete lwa m' yo nan kè yo, m'a make lwa m' yo nan lespri yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:17 ============ Heb 10:17 And their sins and iniquities will I remember no more.(KJV-1611) Heb 10:17 Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:18 ============ Heb 10:18 Now where remission of these is, there is no more offering for sin.(KJV-1611) Heb 10:18 Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:19 ============ Heb 10:19 Having therefore, brethren, boldness to enter into the holiest by the blood of Jesus,(KJV-1611) Heb 10:19 Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:20 ============ Heb 10:20 By a new and living way, which he hath consecrated for us, through the veil, that is to say, his flesh;(KJV-1611) Heb 10:20 Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:21 ============ Heb 10:21 And having an high priest over the house of God;(KJV-1611) Heb 10:21 Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:22 ============ Heb 10:22 Let us draw near with a true heart in full assurance of faith, having our hearts sprinkled from an evil conscience, and our bodies washed with pure water.(KJV-1611) Heb 10:22 Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:23 ============ Heb 10:23 Let us hold fast the profession of our faith without wavering; (for he is faithful that promised;)(KJV-1611) Heb 10:23 Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:24 ============ Heb 10:24 And let us consider one another to provoke unto love and to good works:(KJV-1611) Heb 10:24 Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:25 ============ Heb 10:25 Not forsaking the assembling of ourselves together, as the manner of some is; but exhorting one another: and so much the more, as ye see the day approaching.(KJV-1611) Heb 10:25 Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:26 ============ Heb 10:26 For if we sin wilfully after that we have received the knowledge of the truth, there remaineth no more sacrifice for sins,(KJV-1611) Heb 10:26 Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:27 ============ Heb 10:27 But a certain fearful looking for of judgment and fiery indignation, which shall devour the adversaries.(KJV-1611) Heb 10:27 Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:28 ============ Heb 10:28 He that despised Moses' law died without mercy under two or three witnesses:(KJV-1611) Heb 10:28 Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:29 ============ Heb 10:29 Of how much sorer punishment, suppose ye, shall he be thought worthy, who hath trodden under foot the Son of God, and hath counted the blood of the covenant, wherewith he was sanctified, an unholy thing, and hath done despite unto the Spirit of grace?(KJV-1611) Heb 10:29 Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:30 ============ Heb 10:30 For we know him that hath said, Vengeance belongeth unto me, I will recompense, saith the Lord. And again, The Lord shall judge his people.(KJV-1611) Heb 10:30 Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:31 ============ Heb 10:31 It is a fearful thing to fall into the hands of the living God.(KJV-1611) Heb 10:31 Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!(Creole-HT) ======= Hebrews 10:32 ============ Heb 10:32 But call to remembrance the former days, in which, after ye were illuminated, ye endured a great fight of afflictions;(KJV-1611) Heb 10:32 Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:33 ============ Heb 10:33 Partly, whilst ye were made a gazingstock both by reproaches and afflictions; and partly, whilst ye became companions of them that were so used.(KJV-1611) Heb 10:33 Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:34 ============ Heb 10:34 For ye had compassion of me in my bonds, and took joyfully the spoiling of your goods, knowing in yourselves that ye have in heaven a better and an enduring substance.(KJV-1611) Heb 10:34 Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:35 ============ Heb 10:35 Cast not away therefore your confidence, which hath great recompence of reward.(KJV-1611) Heb 10:35 Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:36 ============ Heb 10:36 For ye have need of patience, that, after ye have done the will of God, ye might receive the promise.(KJV-1611) Heb 10:36 Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l' te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:37 ============ Heb 10:37 For yet a little while, and he that shall come will come, and will not tarry.(KJV-1611) Heb 10:37 Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:38 ============ Heb 10:38 Now the just shall live by faith: but if any man draw back, my soul shall have no pleasure in him.(KJV-1611) Heb 10:38 Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l' vire do l' tounen fè bak, li p'ap fè kè m' kontan.(Creole-HT) ======= Hebrews 10:39 ============ Heb 10:39 But we are not of them who draw back unto perdition; but of them that believe to the saving of the soul.(KJV-1611) Heb 10:39 Nou menm, nou p'ap fè tankou moun sa yo k'ap twenn dèyè, k'ap pèdi tèt yo. N'ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k'ap delivre nanm yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:1 ============ Heb 11:1 Now faith is the substance of things hoped for, the evidence of things not seen.(KJV-1611) Heb 11:1 Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou l' resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:2 ============ Heb 11:2 For by it the elders obtained a good report.(KJV-1611) Heb 11:2 Se paske granmoun lontan yo te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te moutre li dakò ak yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:3 ============ Heb 11:3 Through faith we understand that the worlds were framed by the word of God, so that things which are seen were not made of things which do appear.(KJV-1611) Heb 11:3 Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:4 ============ Heb 11:4 By faith Abel offered unto God a more excellent sacrifice than Cain, by which he obtained witness that he was righteous, God testifying of his gifts: and by it he being dead yet speaketh.(KJV-1611) Heb 11:4 Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l' pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l' la. Se paske li te gen konfyans sa a kifè Abèl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:5 ============ Heb 11:5 By faith Enoch was translated that he should not see death; and was not found, because God had translated him: for before his translation he had this testimony, that he pleased God.(KJV-1611) Heb 11:5 Se paske Enòk te gen konfyans nan Bondye kifè li moute nan syèl la bò kot Bondye san li pa janm mouri; apre sa, pesonn pa janm wè kote l' ye ankò. Se Bondye menm ki te fè pran l' mennen l' bò kote li. Nou jwenn ekri nan Liv la ki jan Enòk te fè Bondye plezi lontan anvan Bondye te fè l' moute nan syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:6 ============ Heb 11:6 But without faith it is impossible to please him: for he that cometh to God must believe that he is, and that he is a rewarder of them that diligently seek him.(KJV-1611) Heb 11:6 Nou konnen pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kot Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:7 ============ Heb 11:7 By faith Noah, being warned of God of things not seen as yet, moved with fear, prepared an ark to the saving of his house; by the which he condemned the world, and became heir of the righteousness which is by faith.(KJV-1611) Heb 11:7 Se paske Noe te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te fè l' konnen davans bagay ki tapral rive, bagay li menm Noe pa t' ankò kapab wè. Li koute Bondye, li bati yon gwo batiman. Se ladan batiman sa a li te jwenn delivrans ansanm ak tout fanmi li. Se konsa, li kondannen tout lòt moun yo. Men, Bondye te fè Noe gras paske Noe te gen konfyans sa a nan li.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:8 ============ Heb 11:8 By faith Abraham, when he was called to go out into a place which he should after receive for an inheritance, obeyed; and he went out, not knowing whither he went.(KJV-1611) Heb 11:8 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te obeyi lè Bondye te rele l' la. Li pati pou peyi Bondye tapral ba li pou pòsyon eritaj pa li. Li leve, li kite peyi l' la, san l' pa t' konnen ki bò li taprale.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:9 ============ Heb 11:9 By faith he sojourned in the land of promise, as in a strange country, dwelling in tabernacles with Isaac and Jacob, the heirs with him of the same promise:(KJV-1611) Heb 11:9 Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:10 ============ Heb 11:10 For he looked for a city which hath foundations, whose builder and maker is God.(KJV-1611) Heb 11:10 Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fonadasyon solid la. Se Bondye ki te fè plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:11 ============ Heb 11:11 Through faith also Sara herself received strength to conceive seed, and was delivered of a child when she was past age, because she judged him faithful who had promised.(KJV-1611) Heb 11:11 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te ka fè l' fè pitit, atout li te fin depase laj pou sa, atout Sara pou tèt pa l' tou pa t' kapab fè pitit ankò. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:12 ============ Heb 11:12 Therefore sprang there even of one, and him as good as dead, so many as the stars of the sky in multitude, and as the sand which is by the sea shore innumerable.(KJV-1611) Heb 11:12 Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:13 ============ Heb 11:13 These all died in faith, not having received the promises, but having seen them afar off, and were persuaded of them, and embraced them, and confessed that they were strangers and pilgrims on the earth.(KJV-1611) Heb 11:13 Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:14 ============ Heb 11:14 For they that say such things declare plainly that they seek a country.(KJV-1611) Heb 11:14 Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:15 ============ Heb 11:15 And truly, if they had been mindful of that country from whence they came out, they might have had opportunity to have returned.(KJV-1611) Heb 11:15 Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l', yo ta ka gen chans tounen ladan l' ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:16 ============ Heb 11:16 But now they desire a better country, that is, an heavenly: wherefore God is not ashamed to be called their God: for he hath prepared for them a city.(KJV-1611) Heb 11:16 Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:17 ============ Heb 11:17 By faith Abraham, when he was tried, offered up Isaac: and he that had received the promises offered up his only begotten son,(KJV-1611) Heb 11:17 Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:18 ============ Heb 11:18 Of whom it was said, That in Isaac shall thy seed be called:(KJV-1611) Heb 11:18 Bondye te di l' konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:19 ============ Heb 11:19 Accounting that God was able to raise him up, even from the dead; from whence also he received him in a figure.(KJV-1611) Heb 11:19 Men, Abraram te mete nan tèt li Bondye te gen pouvwa pou l' te fè Izarak leve vivan ankò soti nan lanmò. Se konsa, nan yon sans, nou ka di Izarak soti vivan nan lanmò, li tounen vin jwen papa l' ankò.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:20 ============ Heb 11:20 By faith Isaac blessed Jacob and Esau concerning things to come.(KJV-1611) Heb 11:20 Se paske Izarak te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li t'ap beni Jakòb ak Ezaou, li te pwomèt yo anpil benediksyon pou pita.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:21 ============ Heb 11:21 By faith Jacob, when he was a dying, blessed both the sons of Joseph; and worshipped, leaning upon the top of his staff.(KJV-1611) Heb 11:21 Se paske Jakòb te gen konfyans nan Bondye kifè li te gen tan beni tout pitit Jozèf yo yonn apre lòt anvan l' mouri. Lèfini li apiye sou tèt baton li, li adore Bondye.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:22 ============ Heb 11:22 By faith Joseph, when he died, made mention of the departing of the children of Israel; and gave commandment concerning his bones.(KJV-1611) Heb 11:22 Se paske Jozèf te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li tapral mouri, li te fè pitit Izrayèl yo konnen yon jou yo te gen pou yo te kite peyi Lejip la. Se lè sa a tou li ba yo lòd sa pou yo fè ak zosman l' yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:23 ============ Heb 11:23 By faith Moses, when he was born, was hid three months of his parents, because they saw he was a proper child; and they were not afraid of the king's commandment.(KJV-1611) Heb 11:23 Se paske papa ak manman Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè yo te rive sere l' pandan twa mwa apre li te fin fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti pitit, yo pa t' pè dezobeyi lòd wa a te bay la.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:24 ============ Heb 11:24 By faith Moses, when he was come to years, refused to be called the son of Pharaoh's daughter;(KJV-1611) Heb 11:24 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:25 ============ Heb 11:25 Choosing rather to suffer affliction with the people of God, than to enjoy the pleasures of sin for a season;(KJV-1611) Heb 11:25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:26 ============ Heb 11:26 Esteeming the reproach of Christ greater riches than the treasures in Egypt: for he had respect unto the recompence of the reward.(KJV-1611) Heb 11:26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:27 ============ Heb 11:27 By faith he forsook Egypt, not fearing the wrath of the king: for he endured, as seeing him who is invisible.(KJV-1611) Heb 11:27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:28 ============ Heb 11:28 Through faith he kept the passover, and the sprinkling of blood, lest he that destroyed the firstborn should touch them.(KJV-1611) Heb 11:28 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:29 ============ Heb 11:29 By faith they passed through the Red sea as by dry land: which the Egyptians assaying to do were drowned.(KJV-1611) Heb 11:29 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:30 ============ Heb 11:30 By faith the walls of Jericho fell down, after they were compassed about seven days.(KJV-1611) Heb 11:30 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè miray lavil Jeriko a te tonbe, apre pèp la te fin pase sèt jou ap fè wonn lavil la.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:31 ============ Heb 11:31 By faith the harlot Rahab perished not with them that believed not, when she had received the spies with peace.(KJV-1611) Heb 11:31 Se paske Rarab, fanm movèz vi a, te gen konfyans nan Bondye kifè li pa t' mouri ansanm avèk moun ki te desobeyi Bondye yo. Paske, li menm li te byen resevwa espyon pèp Izrayèl yo lakay li.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:32 ============ Heb 11:32 And what shall I more say? for the time would fail me to tell of Gedeon, and of Barak, and of Samson, and of Jephthae; of David also, and Samuel, and of the prophets:(KJV-1611) Heb 11:32 Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:33 ============ Heb 11:33 Who through faith subdued kingdoms, wrought righteousness, obtained promises, stopped the mouths of lions.(KJV-1611) Heb 11:33 Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo,(Creole-HT) ======= Hebrews 11:34 ============ Heb 11:34 Quenched the violence of fire, escaped the edge of the sword, out of weakness were made strong, waxed valiant in fight, turned to flight the armies of the aliens.(KJV-1611) Heb 11:34 yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:35 ============ Heb 11:35 Women received their dead raised to life again: and others were tortured, not accepting deliverance; that they might obtain a better resurrection:(KJV-1611) Heb 11:35 Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:36 ============ Heb 11:36 And others had trial of cruel mockings and scourgings, yea, moreover of bonds and imprisonment:(KJV-1611) Heb 11:36 Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:37 ============ Heb 11:37 They were stoned, they were sawn asunder, were tempted, were slain with the sword: they wandered about in sheepskins and goatskins; being destitute, afflicted, tormented;(KJV-1611) Heb 11:37 Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:38 ============ Heb 11:38 (Of whom the world was not worthy:) they wandered in deserts, and in mountains, and in dens and caves of the earth.(KJV-1611) Heb 11:38 Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:39 ============ Heb 11:39 And these all, having obtained a good report through faith, received not the promise:(KJV-1611) Heb 11:39 Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomèt la.(Creole-HT) ======= Hebrews 11:40 ============ Heb 11:40 God having provided some better thing for us, that they without us should not be made perfect.(KJV-1611) Heb 11:40 Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:1 ============ Heb 12:1 Wherefore seeing we also are compassed about with so great a cloud of witnesses, let us lay aside every weight, and the sin which doth so easily beset us, and let us run with patience the race that is set before us,(KJV-1611) Heb 12:1 Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:2 ============ Heb 12:2 Looking unto Jesus the author and finisher of our faith; who for the joy that was set before him endured the cross, despising the shame, and is set down at the right hand of the throne of God.(KJV-1611) Heb 12:2 Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:3 ============ Heb 12:3 For consider him that endured such contradiction of sinners against himself, lest ye be wearied and faint in your minds.(KJV-1611) Heb 12:3 Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:4 ============ Heb 12:4 Ye have not yet resisted unto blood, striving against sin.(KJV-1611) Heb 12:4 Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:5 ============ Heb 12:5 And ye have forgotten the exhortation which speaketh unto you as unto children, My son, despise not thou the chastening of the Lord, nor faint when thou art rebuked of him:(KJV-1611) Heb 12:5 Eske nou gen tan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap peni ou, pa pran sa an jwèt. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:6 ============ Heb 12:6 For whom the Lord loveth he chasteneth, and scourgeth every son whom he receiveth.(KJV-1611) Heb 12:6 Paske Bondye peni moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:7 ============ Heb 12:7 If ye endure chastening, God dealeth with you as with sons; for what son is he whom the father chasteneth not?(KJV-1611) Heb 12:7 Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap peni nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm peni pitit li?(Creole-HT) ======= Hebrews 12:8 ============ Heb 12:8 But if ye be without chastisement, whereof all are partakers, then are ye bastards, and not sons.(KJV-1611) Heb 12:8 Si Bondye pa peni nou tankou tout papa peni pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:9 ============ Heb 12:9 Furthermore we have had fathers of our flesh which corrected us, and we gave them reverence: shall we not much rather be in subjection unto the Father of spirits, and live?(KJV-1611) Heb 12:9 Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:10 ============ Heb 12:10 For they verily for a few days chastened us after their own pleasure; but he for our profit, that we might be partakers of his holiness.(KJV-1611) Heb 12:10 Papa nou sou latè a te konn peni nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye peni nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:11 ============ Heb 12:11 Now no chastening for the present seemeth to be joyous, but grievous: nevertheless afterward it yieldeth the peaceable fruit of righteousness unto them which are exercised thereby.(KJV-1611) Heb 12:11 Lè y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l' ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:12 ============ Heb 12:12 Wherefore lift up the hands which hang down, and the feeble knees;(KJV-1611) Heb 12:12 Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:13 ============ Heb 12:13 And make straight paths for your feet, lest that which is lame be turned out of the way; but let it rather be healed.(KJV-1611) Heb 12:13 Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l' ka geri.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:14 ============ Heb 12:14 Follow peace with all men, and holiness, without which no man shall see the Lord:(KJV-1611) Heb 12:14 Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Seyè a.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:15 ============ Heb 12:15 Looking diligently lest any man fail of the grace of God; lest any root of bitterness springing up trouble you, and thereby many be defiled;(KJV-1611) Heb 12:15 Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:16 ============ Heb 12:16 Lest there be any fornicator, or profane person, as Esau, who for one morsel of meat sold his birthright.(KJV-1611) Heb 12:16 Pa kite pesonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezaou ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:17 ============ Heb 12:17 For ye know how that afterward, when he would have inherited the blessing, he was rejected: for he found no place of repentance, though he sought it carefully with tears.(KJV-1611) Heb 12:17 Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l' sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pa t' gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:18 ============ Heb 12:18 For ye are not come unto the mount that might be touched, and that burned with fire, nor unto blackness, and darkness, and tempest,(KJV-1611) Heb 12:18 Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:19 ============ Heb 12:19 And the sound of a trumpet, and the voice of words; which voice they that heard intreated that the word should not be spoken to them any more:(KJV-1611) Heb 12:19 Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:20 ============ Heb 12:20 (For they could not endure that which was commanded, And if so much as a beast touch the mountain, it shall be stoned, or thrust through with a dart:(KJV-1611) Heb 12:20 Yo pa t' kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l' sou mòn sa a, se pou yo touye l' ak kout wòch.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:21 ============ Heb 12:21 And so terrible was the sight, that Moses said, I exceedingly fear and quake:)(KJV-1611) Heb 12:21 Moyiz menm, sa l' te wè devan je l' yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:22 ============ Heb 12:22 But ye are come unto mount Sion, and unto the city of the living God, the heavenly Jerusalem, and to an innumerable company of angels,(KJV-1611) Heb 12:22 Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:23 ============ Heb 12:23 To the general assembly and church of the firstborn, which are written in heaven, and to God the Judge of all, and to the spirits of just men made perfect,(KJV-1611) Heb 12:23 Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:24 ============ Heb 12:24 And to Jesus the mediator of the new covenant, and to the blood of sprinkling, that speaketh better things that that of Abel.(KJV-1611) Heb 12:24 Nou pwoche bò kot Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:25 ============ Heb 12:25 See that ye refuse not him that speaketh. For if they escaped not who refused him that spake on earth, much more shall not we escape, if we turn away from him that speaketh from heaven:(KJV-1611) Heb 12:25 Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:26 ============ Heb 12:26 Whose voice then shook the earth: but now he hath promised, saying, Yet once more I shake not the earth only, but also heaven.(KJV-1611) Heb 12:26 Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:27 ============ Heb 12:27 And this word, Yet once more, signifieth the removing of those things that are shaken, as of things that are made, that those things which cannot be shaken may remain.(KJV-1611) Heb 12:27 Lè li di yon lòt fwa li fè nou konprann lè sa a se tout bagay Bondye te kreye yo ki pral pran tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:28 ============ Heb 12:28 Wherefore we receiving a kingdom which cannot be moved, let us have grace, whereby we may serve God acceptably with reverence and godly fear:(KJV-1611) Heb 12:28 Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif.(Creole-HT) ======= Hebrews 12:29 ============ Heb 12:29 For our God is a consuming fire.(KJV-1611) Heb 12:29 Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:1 ============ Heb 13:1 Let brotherly love continue.(KJV-1611) Heb 13:1 Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:2 ============ Heb 13:2 Be not forgetful to entertain strangers: for thereby some have entertained angels unawares.(KJV-1611) Heb 13:2 Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:3 ============ Heb 13:3 Remember them that are in bonds, as bound with them; and them which suffer adversity, as being yourselves also in the body.(KJV-1611) Heb 13:3 Pa bliye moun ki nan prizon yo, tankou si nou menm tou nou te nan prizon ansanm ak yo. Pa bliye moun y'ap maltrete yo, paske nou menm tou nou gen yon kò.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:4 ============ Heb 13:4 Marriage is honourable in all, and the bed undefiled: but whoremongers and adulterers God will judge.(KJV-1611) Heb 13:4 Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:5 ============ Heb 13:5 Let your conversation be without covetousness; and be content with such things as ye have: for he hath said, I will never leave thee, nor forsake thee.(KJV-1611) Heb 13:5 Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:6 ============ Heb 13:6 So that we may boldly say, The Lord is my helper, and I will not fear what man shall do unto me.(KJV-1611) Heb 13:6 Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?(Creole-HT) ======= Hebrews 13:7 ============ Heb 13:7 Remember them which have the rule over you, who have spoken unto you the word of God: whose faith follow, considering the end of their conversation.(KJV-1611) Heb 13:7 Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:8 ============ Heb 13:8 Jesus Christ the same yesterday, and to day, and for ever.(KJV-1611) Heb 13:8 Jezikri se menm moun lan ayè, jòdi a ak pou tout tan.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:9 ============ Heb 13:9 Be not carried about with divers and strange doctrines. For it is a good thing that the heart be established with grace; not with meats, which have not profited them that have been occupied therein.(KJV-1611) Heb 13:9 Pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li pi bon pou kè nou lè fòs nou pa soti nan sa nou manje ak sa nou pa manje, men nan renmen Bondye gen pou nou an. Paske moun k'ap gade sou manje pa janm jwenn okenn benefis.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:10 ============ Heb 13:10 We have an altar, whereof they have no right to eat which serve the tabernacle.(KJV-1611) Heb 13:10 Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gen dwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:11 ============ Heb 13:11 For the bodies of those beasts, whose blood is brought into the sanctuary by the high priest for sin, are burned without the camp.(KJV-1611) Heb 13:11 Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:12 ============ Heb 13:12 Wherefore Jesus also, that he might sanctify the people with his own blood, suffered without the gate.(KJV-1611) Heb 13:12 Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l' te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:13 ============ Heb 13:13 Let us go forth therefore unto him without the camp, bearing his reproach.(KJV-1611) Heb 13:13 Nou menm tou, ann soti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n' soufri menm wont la ansanm ak li.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:14 ============ Heb 13:14 For here have we no continuing city, but we seek one to come.(KJV-1611) Heb 13:14 Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:15 ============ Heb 13:15 By him therefore let us offer the sacrifice of praise to God continually, that is, the fruit of our lips giving thanks to his name.(KJV-1611) Heb 13:15 Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l' nan bouch nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:16 ============ Heb 13:16 But to do good and to communicate forget not: for with such sacrifices God is well pleased.(KJV-1611) Heb 13:16 Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:17 ============ Heb 13:17 Obey them that have the rule over you, and submit yourselves: for they watch for your souls, as they that must give account, that they may do it with joy, and not with grief: for that is unprofitable for you.(KJV-1611) Heb 13:17 Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:18 ============ Heb 13:18 Pray for us: for we trust we have a good conscience, in all things willing to live honestly.(KJV-1611) Heb 13:18 Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:19 ============ Heb 13:19 But I beseech you the rather to do this, that I may be restored to you the sooner.(KJV-1611) Heb 13:19 M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m' okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:20 ============ Heb 13:20 Now the God of peace, that brought again from the dead our Lord Jesus, that great shepherd of the sheep, through the blood of the everlasting covenant,(KJV-1611) Heb 13:20 Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:21 ============ Heb 13:21 Make you perfect in every good work to do his will, working in you that which is wellpleasing in his sight, through Jesus Christ; to whom be glory for ever and ever. Amen.(KJV-1611) Heb 13:21 M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:22 ============ Heb 13:22 And I beseech you, brethren, suffer the word of exhortation: for I have written a letter unto you in few words.(KJV-1611) Heb 13:22 Tanpri, frè m' yo, m'ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m' di nan lèt mwen ekri nou an pa long.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:23 ============ Heb 13:23 Know ye that our brother Timothy is set at liberty; with whom, if he come shortly, I will see you.(KJV-1611) Heb 13:23 Mwen vle fè nou konnen yo gen tan lage Timote, frè nou an. Si li rive bònè, m'a pran l' avè m' lè m'ap vin wè nou.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:24 ============ Heb 13:24 Salute all them that have the rule over you, and all the saints. They of Italy salute you.(KJV-1611) Heb 13:24 Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.(Creole-HT) ======= Hebrews 13:25 ============ Heb 13:25 Grace be with you all. Amen.(KJV-1611) Heb 13:25 benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.(Creole-HT) ======= James 1:1 ============ Jam 1:1 James, a servant of God and of the Lord Jesus Christ, to the twelve tribes which are scattered abroad, greeting.(KJV-1611) Jas 1:1 Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.(Creole-HT) ======= James 1:2 ============ Jam 1:2 My brethren, count it all joy when ye fall into divers temptations;(KJV-1611) Jas 1:2 Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.(Creole-HT) ======= James 1:3 ============ Jam 1:3 Knowing this, that the trying of your faith worketh patience.(KJV-1611) Jas 1:3 Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans.(Creole-HT) ======= James 1:4 ============ Jam 1:4 But let patience have her perfect work, that ye may be perfect and entire, wanting nothing.(KJV-1611) Jas 1:4 Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.(Creole-HT) ======= James 1:5 ============ Jam 1:5 If any of you lack wisdom, let him ask of God, that giveth to all men liberally, and upbraideth not; and it shall be given him.(KJV-1611) Jas 1:5 Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.(Creole-HT) ======= James 1:6 ============ Jam 1:6 But let him ask in faith, nothing wavering. For he that wavereth is like a wave of the sea driven with the wind and tossed.(KJV-1611) Jas 1:6 Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.(Creole-HT) ======= James 1:7 ============ Jam 1:7 For let not that man think that he shall receive any thing of the Lord.(KJV-1611) Jas 1:7 Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Seyè a.(Creole-HT) ======= James 1:8 ============ Jam 1:8 A double minded man is unstable in all his ways.(KJV-1611) Jas 1:8 Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè.(Creole-HT) ======= James 1:9 ============ Jam 1:9 Let the brother of low degree rejoice in that he is exalted:(KJV-1611) Jas 1:9 Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.(Creole-HT) ======= James 1:10 ============ Jam 1:10 But the rich, in that he is made low: because as the flower of the grass he shall pass away.(KJV-1611) Jas 1:10 Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb.(Creole-HT) ======= James 1:11 ============ Jam 1:11 For the sun is no sooner risen with a burning heat, but it withereth the grass, and the flower thereof falleth, and the grace of the fashion of it perisheth: so also shall the rich man fade away in his ways.(KJV-1611) Jas 1:11 Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.(Creole-HT) ======= James 1:12 ============ Jam 1:12 Blessed is the man that endureth temptation: for when he is tried, he shall receive the crown of life, which the Lord hath promised to them that love him.(KJV-1611) Jas 1:12 benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.(Creole-HT) ======= James 1:13 ============ Jam 1:13 Let no man say when he is tempted, I am tempted of God: for God cannot be tempted with evil, neither tempteth he any man:(KJV-1611) Jas 1:13 Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= James 1:14 ============ Jam 1:14 But every man is tempted, when he is drawn away of his own lust, and enticed.(KJV-1611) Jas 1:14 Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li.(Creole-HT) ======= James 1:15 ============ Jam 1:15 Then when lust hath conceived, it bringeth forth sin: and sin, when it is finished, bringeth forth death.(KJV-1611) Jas 1:15 Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.(Creole-HT) ======= James 1:16 ============ Jam 1:16 Do not err, my beloved brethren.(KJV-1611) Jas 1:16 Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.(Creole-HT) ======= James 1:17 ============ Jam 1:17 Every good gift and every perfect gift is from above, and cometh down from the Father of lights, with whom is no variableness, neither shadow of turning.(KJV-1611) Jas 1:17 Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.(Creole-HT) ======= James 1:18 ============ Jam 1:18 Of his own will begat he us with the word of truth, that we should be a kind of firstfruits of his creatures.(KJV-1611) Jas 1:18 Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l' te vle l' la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.(Creole-HT) ======= James 1:19 ============ Jam 1:19 Wherefore, my beloved brethren, let every man be swift to hear, slow to speak, slow to wrath:(KJV-1611) Jas 1:19 Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.(Creole-HT) ======= James 1:20 ============ Jam 1:20 For the wrath of man worketh not the righteousness of God.(KJV-1611) Jas 1:20 Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.(Creole-HT) ======= James 1:21 ============ Jam 1:21 Wherefore lay apart all filthiness and superfluity of naughtiness, and receive with meekness the engrafted word, which is able to save your souls.(KJV-1611) Jas 1:21 Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.(Creole-HT) ======= James 1:22 ============ Jam 1:22 But be ye doers of the word, and not hearers only, deceiving your own selves.(KJV-1611) Jas 1:22 Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.(Creole-HT) ======= James 1:23 ============ Jam 1:23 For if any be a hearer of the word, and not a doer, he is like unto a man beholding his natural face in a glass:(KJV-1611) Jas 1:23 Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas.(Creole-HT) ======= James 1:24 ============ Jam 1:24 For he beholdeth himself, and goeth his way, and straightway forgetteth what manner of man he was.(KJV-1611) Jas 1:24 Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble.(Creole-HT) ======= James 1:25 ============ Jam 1:25 But whoso looketh into the perfect law of liberty, and continueth therein, he being not a forgetful hearer, but a doer of the work, this man shall be blessed in his deed.(KJV-1611) Jas 1:25 Men, moun ki fikse je l' sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l' soti pou l' fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.(Creole-HT) ======= James 1:26 ============ Jam 1:26 If any man among you seem to be religious, and bridleth not his tongue, but deceiveth his own heart, this man's religion is vain.(KJV-1611) Jas 1:26 Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.(Creole-HT) ======= James 1:27 ============ Jam 1:27 Pure religion and undefiled before God and the Father is this, To visit the fatherless and widows in their affliction, and to keep himself unspotted from the world.(KJV-1611) Jas 1:27 Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.(Creole-HT) ======= James 2:1 ============ Jam 2:1 My brethren, have not the faith of our Lord Jesus Christ, the Lord of glory, with respect of persons.(KJV-1611) Jas 2:1 Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.(Creole-HT) ======= James 2:2 ============ Jam 2:2 For if there come unto your assembly a man with a gold ring, in goodly apparel, and there come in also a poor man in vile raiment;(KJV-1611) Jas 2:2 Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li.(Creole-HT) ======= James 2:3 ============ Jam 2:3 And ye have respect to him that weareth the gay clothing, and say unto him, Sit thou here in a good place; and say to the poor, Stand thou there, or sit here under my footstool:(KJV-1611) Jas 2:3 Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan,(Creole-HT) ======= James 2:4 ============ Jam 2:4 Are ye not then partial in yourselves, and are become judges of evil thoughts?(KJV-1611) Jas 2:4 ske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?(Creole-HT) ======= James 2:5 ============ Jam 2:5 Hearken, my beloved brethren, Hath not God chosen the poor of this world rich in faith, and heirs of the kingdom which he hath promised to them that love him?(KJV-1611) Jas 2:5 Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.(Creole-HT) ======= James 2:6 ============ Jam 2:6 But ye have despised the poor. Do not rich men oppress you, and draw you before the judgment seats?(KJV-1611) Jas 2:6 Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?(Creole-HT) ======= James 2:7 ============ Jam 2:7 Do not they blaspheme that worthy name by the which ye are called?(KJV-1611) Jas 2:7 Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal.(Creole-HT) ======= James 2:8 ============ Jam 2:8 If ye fulfil the royal law according to the scripture, Thou shalt love thy neighbour as thyself, ye do well:(KJV-1611) Jas 2:8 Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.(Creole-HT) ======= James 2:9 ============ Jam 2:9 But if ye have respect to persons, ye commit sin, and are convinced of the law as transgressors.(KJV-1611) Jas 2:9 Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.(Creole-HT) ======= James 2:10 ============ Jam 2:10 For whosoever shall keep the whole law, and yet offend in one point, he is guilty of all.(KJV-1611) Jas 2:10 Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.(Creole-HT) ======= James 2:11 ============ Jam 2:11 For he that said, Do not commit adultery, said also, Do not kill. Now if thou commit no adultery, yet if thou kill, thou art become a transgressor of the law.(KJV-1611) Jas 2:11 Paske Bondye ki di: Pa fè adiltè, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fè adiltè, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a.(Creole-HT) ======= James 2:12 ============ Jam 2:12 So speak ye, and so do, as they that shall be judged by the law of liberty.(KJV-1611) Jas 2:12 Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.(Creole-HT) ======= James 2:13 ============ Jam 2:13 For he shall have judgment without mercy, that hath shewed no mercy; and mercy rejoiceth against judgment.(KJV-1611) Jas 2:13 Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.(Creole-HT) ======= James 2:14 ============ Jam 2:14 What doth it profit, my brethren, though a man say he hath faith, and have not works? can faith save him?(KJV-1611) Jas 2:14 Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?(Creole-HT) ======= James 2:15 ============ Jam 2:15 If a brother or sister be naked, and destitute of daily food,(KJV-1611) Jas 2:15 Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou,(Creole-HT) ======= James 2:16 ============ Jam 2:16 And one of you say unto them, Depart in peace, be ye warmed and filled; notwithstanding ye give them not those things which are needful to the body; what doth it profit?(KJV-1611) Jas 2:16 si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?(Creole-HT) ======= James 2:17 ============ Jam 2:17 Even so faith, if it hath not works, is dead, being alone.(KJV-1611) Jas 2:17 Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.(Creole-HT) ======= James 2:18 ============ Jam 2:18 Yea, a man may say, Thou hast faith, and I have works: shew me thy faith without thy works, and I will shew thee my faith by my works.(KJV-1611) Jas 2:18 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.(Creole-HT) ======= James 2:19 ============ Jam 2:19 Thou believest that there is one God; thou doest well: the devils also believe, and tremble.(KJV-1611) Jas 2:19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.(Creole-HT) ======= James 2:20 ============ Jam 2:20 But wilt thou know, O vain man, that faith without works is dead?(KJV-1611) Jas 2:20 Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen?(Creole-HT) ======= James 2:21 ============ Jam 2:21 Was not Abraham our father justified by works, when he had offered Isaac his son upon the altar?(KJV-1611) Jas 2:21 Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?(Creole-HT) ======= James 2:22 ============ Jam 2:22 Seest thou how faith wrought with his works, and by works was faith made perfect?(KJV-1611) Jas 2:22 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.(Creole-HT) ======= James 2:23 ============ Jam 2:23 And the scripture was fulfilled which saith, Abraham believed God, and it was imputed unto him for righteousness: and he was called the Friend of God.(KJV-1611) Jas 2:23 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.(Creole-HT) ======= James 2:24 ============ Jam 2:24 Ye see then how that by works a man is justified, and not by faith only.(KJV-1611) Jas 2:24 Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou.(Creole-HT) ======= James 2:25 ============ Jam 2:25 Likewise also was not Rahab the harlot justified by works, when she had received the messengers, and had sent them out another way?(KJV-1611) Jas 2:25 Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?(Creole-HT) ======= James 2:26 ============ Jam 2:26 For as the body without the spirit is dead, so faith without works is dead also.(KJV-1611) Jas 2:26 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.(Creole-HT) ======= James 3:1 ============ Jam 3:1 My brethren, be not many masters, knowing that we shall receive the greater condemnation.(KJV-1611) Jas 3:1 Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.(Creole-HT) ======= James 3:2 ============ Jam 3:2 For in many things we offend all. If any man offend not in word, the same is a perfect man, and able also to bridle the whole body.(KJV-1611) Jas 3:2 Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.(Creole-HT) ======= James 3:3 ============ Jam 3:3 Behold, we put bits in the horses' mouths, that they may obey us; and we turn about their whole body.(KJV-1611) Jas 3:3 Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle.(Creole-HT) ======= James 3:4 ============ Jam 3:4 Behold also the ships, which though they be so great, and are driven of fierce winds, yet are they turned about with a very small helm, whithersoever the governor listeth.(KJV-1611) Jas 3:4 Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle.(Creole-HT) ======= James 3:5 ============ Jam 3:5 Even so the tongue is a little member, and boasteth great things. Behold, how great a matter a little fire kindleth!(KJV-1611) Jas 3:5 Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!(Creole-HT) ======= James 3:6 ============ Jam 3:6 And the tongue is a fire, a world of iniquity: so is the tongue among our members, that it defileth the whole body, and setteth on fire the course of nature; and it is set on fire of hell.(KJV-1611) Jas 3:6 Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.(Creole-HT) ======= James 3:7 ============ Jam 3:7 For every kind of beasts, and of birds, and of serpents, and of things in the sea, is tamed, and hath been tamed of mankind:(KJV-1611) Jas 3:7 Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja.(Creole-HT) ======= James 3:8 ============ Jam 3:8 But the tongue can no man tame; it is an unruly evil, full of deadly poison.(KJV-1611) Jas 3:8 Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.(Creole-HT) ======= James 3:9 ============ Jam 3:9 Therewith bless we God, even the Father; and therewith curse we men, which are made after the similitude of God.(KJV-1611) Jas 3:9 Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.(Creole-HT) ======= James 3:10 ============ Jam 3:10 Out of the same mouth proceedeth blessing and cursing. My brethren, these things ought not so to be.(KJV-1611) Jas 3:10 Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.(Creole-HT) ======= James 3:11 ============ Jam 3:11 Doth a fountain send forth at the same place sweet water and bitter?(KJV-1611) Jas 3:11 Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.(Creole-HT) ======= James 3:12 ============ Jam 3:12 Can the fig tree, my brethren, bear olive berries? either a vine, figs? so can no fountain both yield salt water and fresh.(KJV-1611) Jas 3:12 Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis.(Creole-HT) ======= James 3:13 ============ Jam 3:13 Who is a wise man and endued with knowledge among you? let him shew out of a good conversation his works with meekness of wisdom.(KJV-1611) Jas 3:13 Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.(Creole-HT) ======= James 3:14 ============ Jam 3:14 But if ye have bitter envying and strife in your hearts, glory not, and lie not against the truth.(KJV-1611) Jas 3:14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.(Creole-HT) ======= James 3:15 ============ Jam 3:15 This wisdom descendeth not from above, but is earthly, sensual, devilish.(KJV-1611) Jas 3:15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.(Creole-HT) ======= James 3:16 ============ Jam 3:16 For where envying and strife is, there is confusion and every evil work.(KJV-1611) Jas 3:16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.(Creole-HT) ======= James 3:17 ============ Jam 3:17 But the wisdom that is from above is first pure, then peaceable, gentle, and easy to be intreated, full of mercy and good fruits, without partiality, and without hypocrisy.(KJV-1611) Jas 3:17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.(Creole-HT) ======= James 3:18 ============ Jam 3:18 And the fruit of righteousness is sown in peace of them that make peace.(KJV-1611) Jas 3:18 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= James 4:1 ============ Jam 4:1 From whence come wars and fightings among you? come they not hence, even of your lusts that war in your members?(KJV-1611) Jas 4:1 Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.(Creole-HT) ======= James 4:2 ============ Jam 4:2 Ye lust, and have not: ye kill, and desire to have, and cannot obtain: ye fight and war, yet ye have not, because ye ask not.(KJV-1611) Jas 4:2 Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.(Creole-HT) ======= James 4:3 ============ Jam 4:3 Ye ask, and receive not, because ye ask amiss, that ye may consume it upon your lusts.(KJV-1611) Jas 4:3 Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.(Creole-HT) ======= James 4:4 ============ Jam 4:4 Ye adulterers and adulteresses, know ye not that the friendship of the world is enmity with God? whosoever therefore will be a friend of the world is the enemy of God.(KJV-1611) Jas 4:4 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.(Creole-HT) ======= James 4:5 ============ Jam 4:5 Do ye think that the scripture saith in vain, The spirit that dwelleth in us lusteth to envy?(KJV-1611) Jas 4:5 Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.(Creole-HT) ======= James 4:6 ============ Jam 4:6 But he giveth more grace. Wherefore he saith, God resisteth the proud, but giveth grace unto the humble.(KJV-1611) Jas 4:6 Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.(Creole-HT) ======= James 4:7 ============ Jam 4:7 Submit yourselves therefore to God. Resist the devil, and he will flee from you.(KJV-1611) Jas 4:7 Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.(Creole-HT) ======= James 4:8 ============ Jam 4:8 Draw nigh to God, and he will draw nigh to you. Cleanse your hands, ye sinners; and purify your hearts, ye double minded.(KJV-1611) Jas 4:8 Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.(Creole-HT) ======= James 4:9 ============ Jam 4:9 Be afflicted, and mourn, and weep: let your laughter be turned to mourning, and your joy to heaviness.(KJV-1611) Jas 4:9 Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.(Creole-HT) ======= James 4:10 ============ Jam 4:10 Humble yourselves in the sight of the Lord, and he shall lift you up.(KJV-1611) Jas 4:10 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.(Creole-HT) ======= James 4:11 ============ Jam 4:11 Speak not evil one of another, brethren. He that speaketh evil of his brother, and judgeth his brother, speaketh evil of the law, and judgeth the law: but if thou judge the law, thou art not a doer of the law, but a judge.(KJV-1611) Jas 4:11 Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.(Creole-HT) ======= James 4:12 ============ Jam 4:12 There is one lawgiver, who is able to save and to destroy: who art thou that judgest another?(KJV-1611) Jas 4:12 Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?(Creole-HT) ======= James 4:13 ============ Jam 4:13 Go to now, ye that say, To day or to morrow we will go into such a city, and continue there a year, and buy and sell, and get gain:(KJV-1611) Jas 4:13 Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis.(Creole-HT) ======= James 4:14 ============ Jam 4:14 Whereas ye know not what shall be on the morrow. For what is your life? It is even a vapour, that appeareth for a little time, and then vanisheth away.(KJV-1611) Jas 4:14 Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.(Creole-HT) ======= James 4:15 ============ Jam 4:15 For that ye ought to say, If the Lord will, we shall live, and do this, or that.(KJV-1611) Jas 4:15 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.(Creole-HT) ======= James 4:16 ============ Jam 4:16 But now ye rejoice in your boastings: all such rejoicing is evil.(KJV-1611) Jas 4:16 Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.(Creole-HT) ======= James 4:17 ============ Jam 4:17 Therefore to him that knoweth to do good, and doeth it not, to him it is sin.(KJV-1611) Jas 4:17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.(Creole-HT) ======= James 5:1 ============ Jam 5:1 Go to now, ye rich men, weep and howl for your miseries that shall come upon you.(KJV-1611) Jas 5:1 Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.(Creole-HT) ======= James 5:2 ============ Jam 5:2 Your riches are corrupted, and your garments are motheaten.(KJV-1611) Jas 5:2 Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.(Creole-HT) ======= James 5:3 ============ Jam 5:3 Your gold and silver is cankered; and the rust of them shall be a witness against you, and shall eat your flesh as it were fire. Ye have heaped treasure together for the last days.(KJV-1611) Jas 5:3 Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.(Creole-HT) ======= James 5:4 ============ Jam 5:4 Behold, the hire of the labourers who have reaped down your fields, which is of you kept back by fraud, crieth: and the cries of them which have reaped are entered into the ears of the Lord of sabaoth.(KJV-1611) Jas 5:4 Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= James 5:5 ============ Jam 5:5 Ye have lived in pleasure on the earth, and been wanton; ye have nourished your hearts, as in a day of slaughter.(KJV-1611) Jas 5:5 Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa.(Creole-HT) ======= James 5:6 ============ Jam 5:6 Ye have condemned and killed the just; and he doth not resist you.(KJV-1611) Jas 5:6 Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.(Creole-HT) ======= James 5:7 ============ Jam 5:7 Be patient therefore, brethren, unto the coming of the Lord. Behold, the husbandman waiteth for the precious fruit of the earth, and hath long patience for it, until he receive the early and latter rain.(KJV-1611) Jas 5:7 Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.(Creole-HT) ======= James 5:8 ============ Jam 5:8 Be ye also patient; stablish your hearts: for the coming of the Lord draweth nigh.(KJV-1611) Jas 5:8 Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini.(Creole-HT) ======= James 5:9 ============ Jam 5:9 Grudge not one against another, brethren, lest ye be condemned: behold, the judge standeth before the door.(KJV-1611) Jas 5:9 Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.(Creole-HT) ======= James 5:10 ============ Jam 5:10 Take, my brethren, the prophets, who have spoken in the name of the Lord, for an example of suffering affliction, and of patience.(KJV-1611) Jas 5:10 Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.(Creole-HT) ======= James 5:11 ============ Jam 5:11 Behold, we count them happy which endure. Ye have heard of the patience of Job, and have seen the end of the Lord; that the Lord is very pitiful, and of tender mercy.(KJV-1611) Jas 5:11 Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.(Creole-HT) ======= James 5:12 ============ Jam 5:12 But above all things, my brethren, swear not, neither by heaven, neither by the earth, neither by any other oath: but let your yea be yea; and your nay, nay; lest ye fall into condemnation.(KJV-1611) Jas 5:12 Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.(Creole-HT) ======= James 5:13 ============ Jam 5:13 Is any among you afflicted? let him pray. Is any merry? let him sing psalms.(KJV-1611) Jas 5:13 Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.(Creole-HT) ======= James 5:14 ============ Jam 5:14 Is any sick among you? let him call for the elders of the church; and let them pray over him, anointing him with oil in the name of the Lord:(KJV-1611) Jas 5:14 Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a.(Creole-HT) ======= James 5:15 ============ Jam 5:15 And the prayer of faith shall save the sick, and the Lord shall raise him up; and if he have committed sins, they shall be forgiven him.(KJV-1611) Jas 5:15 Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.(Creole-HT) ======= James 5:16 ============ Jam 5:16 Confess your faults one to another, and pray one for another, that ye may be healed. The effectual fervent prayer of a righteous man availeth much.(KJV-1611) Jas 5:16 Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.(Creole-HT) ======= James 5:17 ============ Jam 5:17 Elias was a man subject to like passions as we are, and he prayed earnestly that it might not rain: and it rained not on the earth by the space of three years and six months.(KJV-1611) Jas 5:17 Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa.(Creole-HT) ======= James 5:18 ============ Jam 5:18 And he prayed again, and the heaven gave rain, and the earth brought forth her fruit.(KJV-1611) Jas 5:18 Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.(Creole-HT) ======= James 5:19 ============ Jam 5:19 Brethren, if any of you do err from the truth, and one convert him;(KJV-1611) Jas 5:19 Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò,(Creole-HT) ======= James 5:20 ============ Jam 5:20 Let him know, that he which converteth the sinner from the error of his way shall save a soul from death, and shall hide a multitude of sins.(KJV-1611) Jas 5:20 konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:1 ============ 1Pe 1:1 Peter, an apostle of Jesus Christ, to the strangers scattered throughout Pontus, Galatia, Cappadocia, Asia, and Bithynia,(KJV-1611) 1Pe 1:1 Se mwen menm, Pyè, apòt Jezikri, k'ap ekri lèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a men k'ap viv tankou etranje, gaye nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:2 ============ 1Pe 1:2 Elect according to the foreknowledge of God the Father, through sanctification of the Spirit, unto obedience and sprinkling of the blood of Jesus Christ: Grace unto you, and peace, be multiplied.(KJV-1611) 1Pe 1:2 Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n' obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:3 ============ 1Pe 1:3 Blessed be the God and Father of our Lord Jesus Christ, which according to his abundant mercy hath begotten us again unto a lively hope by the resurrection of Jesus Christ from the dead,(KJV-1611) 1Pe 1:3 Ann fè lwanj Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Paske, nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:4 ============ 1Pe 1:4 To an inheritance incorruptible, and undefiled, and that fadeth not away, reserved in heaven for you,(KJV-1611) 1Pe 1:4 N'ap tann lè pou n' resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l', eritaj li sere pou nou nan syèl la.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:5 ============ 1Pe 1:5 Who are kept by the power of God through faith unto salvation ready to be revealed in the last time.(KJV-1611) 1Pe 1:5 Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk la delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:6 ============ 1Pe 1:6 Wherein ye greatly rejoice, though now for a season, if need be, ye are in heaviness through manifold temptations:(KJV-1611) 1Pe 1:6 Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:7 ============ 1Pe 1:7 That the trial of your faith, being much more precious than of gold that perisheth, though it be tried with fire, might be found unto praise and honour and glory at the appearing of Jesus Christ:(KJV-1611) 1Pe 1:7 Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:8 ============ 1Pe 1:8 Whom having not seen, ye love; in whom, though now ye see him not, yet believing, ye rejoice with joy unspeakable and full of glory:(KJV-1611) 1Pe 1:8 Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l' koulye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj,(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:9 ============ 1Pe 1:9 Receiving the end of your faith, even the salvation of your souls.(KJV-1611) 1Pe 1:9 paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:10 ============ 1Pe 1:10 Of which salvation the prophets have enquired and searched diligently, who prophesied of the grace that should come unto you:(KJV-1611) 1Pe 1:10 Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye tapral fè nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:11 ============ 1Pe 1:11 Searching what, or what manner of time the Spirit of Christ which was in them did signify, when it testified beforehand the sufferings of Christ, and the glory that should follow.(KJV-1611) 1Pe 1:11 Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la tapral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa tapral rive.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:12 ============ 1Pe 1:12 Unto whom it was revealed, that not unto themselves, but unto us they did minister the things, which are now reported unto you by them that have preached the gospel unto you with the Holy Ghost sent down from heaven; which things the angels desire to look into.(KJV-1611) 1Pe 1:12 Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:13 ============ 1Pe 1:13 Wherefore gird up the loins of your mind, be sober, and hope to the end for the grace that is to be brought unto you at the revelation of Jesus Christ;(KJV-1611) 1Pe 1:13 Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:14 ============ 1Pe 1:14 As obedient children, not fashioning yourselves according to the former lusts in your ignorance:(KJV-1611) 1Pe 1:14 Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:15 ============ 1Pe 1:15 But as he which hath called you is holy, so be ye holy in all manner of conversation;(KJV-1611) 1Pe 1:15 Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:16 ============ 1Pe 1:16 Because it is written, Be ye holy; for I am holy.(KJV-1611) 1Pe 1:16 Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:17 ============ 1Pe 1:17 And if ye call on the Father, who without respect of persons judgeth according to every man's work, pass the time of your sojourning here in fear:(KJV-1611) 1Pe 1:17 Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:18 ============ 1Pe 1:18 Forasmuch as ye know that ye were not redeemed with corruptible things, as silver and gold, from your vain conversation received by tradition from your fathers;(KJV-1611) 1Pe 1:18 Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:19 ============ 1Pe 1:19 But with the precious blood of Christ, as of a lamb without blemish and without spot:(KJV-1611) 1Pe 1:19 Men, se avèk gwo ofrann san Kris la ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni ankenn enfimite.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:20 ============ 1Pe 1:20 Who verily was foreordained before the foundation of the world, but was manifest in these last times for you,(KJV-1611) 1Pe 1:20 Bondye te chwazi l' pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:21 ============ 1Pe 1:21 Who by him do believe in God, that raised him up from the dead, and gave him glory; that your faith and hope might be in God.(KJV-1611) 1Pe 1:21 Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l' lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:22 ============ 1Pe 1:22 Seeing ye have purified your souls in obeying the truth through the Spirit unto unfeigned love of the brethren, see that ye love one another with a pure heart fervently:(KJV-1611) 1Pe 1:22 Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:23 ============ 1Pe 1:23 Being born again, not of corruptible seed, but of incorruptible, by the word of God, which liveth and abideth for ever.(KJV-1611) 1Pe 1:23 Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa soti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:24 ============ 1Pe 1:24 For all flesh is as grass, and all the glory of man as the flower of grass. The grass withereth, and the flower thereof falleth away:(KJV-1611) 1Pe 1:24 Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe.(Creole-HT) ======= 1 Peter 1:25 ============ 1Pe 1:25 But the word of the Lord endureth for ever. And this is the word which by the gospel is preached unto you.(KJV-1611) 1Pe 1:25 Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a bon nouvèl la te pote ban nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:1 ============ 1Pe 2:1 Wherefore laying aside all malice, and all guile, and hypocrisies, and envies, all evil speakings,(KJV-1611) 1Pe 2:1 Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:2 ============ 1Pe 2:2 As newborn babes, desire the sincere milk of the word, that ye may grow thereby:(KJV-1611) 1Pe 2:2 Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:3 ============ 1Pe 2:3 If so be ye have tasted that the Lord is gracious.(KJV-1611) 1Pe 2:3 Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:4 ============ 1Pe 2:4 To whom coming, as unto a living stone, disallowed indeed of men, but chosen of God, and precious,(KJV-1611) 1Pe 2:4 Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:5 ============ 1Pe 2:5 Ye also, as lively stones, are built up a spiritual house, an holy priesthood, to offer up spiritual sacrifices, acceptable to God by Jesus Christ.(KJV-1611) 1Pe 2:5 Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:6 ============ 1Pe 2:6 Wherefore also it is contained in the scripture, Behold, I lay in Sion a chief corner stone, elect, precious: and he that believeth on him shall not be confounded.(KJV-1611) 1Pe 2:6 Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:7 ============ 1Pe 2:7 Unto you therefore which believe he is precious: but unto them which be disobedient, the stone which the builders disallowed, the same is made the head of the corner,(KJV-1611) 1Pe 2:7 Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:8 ============ 1Pe 2:8 And a stone of stumbling, and a rock of offence, even to them which stumble at the word, being disobedient: whereunto also they were appointed.(KJV-1611) 1Pe 2:8 Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:9 ============ 1Pe 2:9 But ye are a chosen generation, a royal priesthood, an holy nation, a peculiar people; that ye should shew forth the praises of him who hath called you out of darkness into his marvellous light;(KJV-1611) 1Pe 2:9 Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:10 ============ 1Pe 2:10 Which in time past were not a people, but are now the people of God: which had not obtained mercy, but now have obtained mercy.(KJV-1611) 1Pe 2:10 Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:11 ============ 1Pe 2:11 Dearly beloved, I beseech you as strangers and pilgrims, abstain from fleshly lusts, which war against the soul;(KJV-1611) 1Pe 2:11 Zanmi m' yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:12 ============ 1Pe 2:12 Having your conversation honest among the Gentiles: that, whereas they speak against you as evildoers, they may by your good works, which they shall behold, glorify God in the day of visitation.(KJV-1611) 1Pe 2:12 Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:13 ============ 1Pe 2:13 Submit yourselves to every ordinance of man for the Lord's sake: whether it be to the king, as supreme;(KJV-1611) 1Pe 2:13 Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:14 ============ 1Pe 2:14 Or unto governors, as unto them that are sent by him for the punishment of evildoers, and for the praise of them that do well.(KJV-1611) 1Pe 2:14 Soumèt devan majistra yo, paske wa a voye yo pou peni tout moun k'ap fè mal, pou fè lwanj tout moun k'ap fè byen.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:15 ============ 1Pe 2:15 For so is the will of God, that with well doing ye may put to silence the ignorance of foolish men:(KJV-1611) 1Pe 2:15 Paske, Bondye vle pou n' fè sa ki byen, pou n' ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:16 ============ 1Pe 2:16 As free, and not using your liberty for a cloke of maliciousness, but as the servants of God.(KJV-1611) 1Pe 2:16 Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:17 ============ 1Pe 2:17 Honour all men. Love the brotherhood. Fear God. Honour the king.(KJV-1611) 1Pe 2:17 Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:18 ============ 1Pe 2:18 Servants, be subject to your masters with all fear; not only to the good and gentle, but also to the froward.(KJV-1611) 1Pe 2:18 Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:19 ============ 1Pe 2:19 For this is thankworthy, if a man for conscience toward God endure grief, suffering wrongfully.(KJV-1611) 1Pe 2:19 Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:20 ============ 1Pe 2:20 For what glory is it, if, when ye be buffeted for your faults, ye shall take it patiently? but if, when ye do well, and suffer for it, ye take it patiently, this is acceptable with God.(KJV-1611) 1Pe 2:20 Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:21 ============ 1Pe 2:21 For even hereunto were ye called: because Christ also suffered for us, leaving us an example, that ye should follow his steps:(KJV-1611) 1Pe 2:21 Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:22 ============ 1Pe 2:22 Who did no sin, neither was guile found in his mouth:(KJV-1611) 1Pe 2:22 Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:23 ============ 1Pe 2:23 Who, when he was reviled, reviled not again; when he suffered, he threatened not; but committed himself to him that judgeth righteously:(KJV-1611) 1Pe 2:23 Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:24 ============ 1Pe 2:24 Who his own self bare our sins in his own body on the tree, that we, being dead to sins, should live unto righteousness: by whose stripes ye were healed.(KJV-1611) 1Pe 2:24 Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l' pou l' te ka geri nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 2:25 ============ 1Pe 2:25 For ye were as sheep going astray; but are now returned unto the Shepherd and Bishop of your souls.(KJV-1611) 1Pe 2:25 Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:1 ============ 1Pe 3:1 Likewise, ye wives, be in subjection to your own husbands; that, if any obey not the word, they also may without the word be won by the conversation of the wives;(KJV-1611) 1Pe 3:1 Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:2 ============ 1Pe 3:2 While they behold your chaste conversation coupled with fear.(KJV-1611) 1Pe 3:2 paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:3 ============ 1Pe 3:3 Whose adorning let it not be that outward adorning of plaiting the hair, and of wearing of gold, or of putting on of apparel;(KJV-1611) 1Pe 3:3 Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:4 ============ 1Pe 3:4 But let it be the hidden man of the heart, in that which is not corruptible, even the ornament of a meek and quiet spirit, which is in the sight of God of great price.(KJV-1611) 1Pe 3:4 Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:5 ============ 1Pe 3:5 For after this manner in the old time the holy women also, who trusted in God, adorned themselves, being in subjection unto their own husbands:(KJV-1611) 1Pe 3:5 Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:6 ============ 1Pe 3:6 Even as Sara obeyed Abraham, calling him lord: whose daughters ye are, as long as ye do well, and are not afraid with any amazement.(KJV-1611) 1Pe 3:6 Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk pou li te rele l' mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:7 ============ 1Pe 3:7 Likewise, ye husbands, dwell with them according to knowledge, giving honour unto the wife, as unto the weaker vessel, and as being heirs together of the grace of life; that your prayers be not hindered.(KJV-1611) 1Pe 3:7 Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi fèb pase nou. Ba yo tout respè yo merite, paske yo menm tou y'a resevwa menm lavi avèk nou tankou yon favè nan men Bondye. Konsa, anyen p'ap antrave lapriyè nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:8 ============ 1Pe 3:8 Finally, be ye all of one mind, having compassion one of another, love as brethren, be pitiful, be courteous:(KJV-1611) 1Pe 3:8 Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:9 ============ 1Pe 3:9 Not rendering evil for evil, or railing for railing: but contrariwise blessing; knowing that ye are thereunto called, that ye should inherit a blessing.(KJV-1611) 1Pe 3:9 Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:10 ============ 1Pe 3:10 For he that will love life, and see good days, let him refrain his tongue from evil, and his lips that they speak no guile:(KJV-1611) 1Pe 3:10 Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l' anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l' kenbe lang li pou l' pa pale moun mal. Se pou l' veye bouch li pou l' pa bay manti.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:11 ============ 1Pe 3:11 Let him eschew evil, and do good; let him seek peace, and ensue it.(KJV-1611) 1Pe 3:11 Se pou l' sispann fè sa ki mal, se pou l' fè sa ki byen. Se pou l' chache viv byen ak moun. Se pou l' fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:12 ============ 1Pe 3:12 For the eyes of the Lord are over the righteous, and his ears are open unto their prayers: but the face of the Lord is against them that do evil.(KJV-1611) 1Pe 3:12 Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:13 ============ 1Pe 3:13 And who is he that will harm you, if ye be followers of that which is good?(KJV-1611) 1Pe 3:13 Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè?(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:14 ============ 1Pe 3:14 But and if ye suffer for righteousness' sake, happy are ye: and be not afraid of their terror, neither be troubled;(KJV-1611) 1Pe 3:14 Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:15 ============ 1Pe 3:15 But sanctify the Lord God in your hearts: and be ready always to give an answer to every man that asketh you a reason of the hope that is in you with meekness and fear:(KJV-1611) 1Pe 3:15 Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:16 ============ 1Pe 3:16 Having a good conscience; that, whereas they speak evil of you, as of evildoers, they may be ashamed that falsely accuse your good conversation in Christ.(KJV-1611) 1Pe 3:16 Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:17 ============ 1Pe 3:17 For it is better, if the will of God be so, that ye suffer for well doing, than for evil doing.(KJV-1611) 1Pe 3:17 Se volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n' soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:18 ============ 1Pe 3:18 For Christ also hath once suffered for sins, the just for the unjust, that he might bring us to God, being put to death in the flesh, but quickened by the Spirit:(KJV-1611) 1Pe 3:18 Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:19 ============ 1Pe 3:19 By which also he went and preached unto the spirits in prison;(KJV-1611) 1Pe 3:19 Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:20 ============ 1Pe 3:20 Which sometime were disobedient, when once the longsuffering of God waited in the days of Noah, while the ark was a preparing, wherein few, that is, eight souls were saved by water.(KJV-1611) 1Pe 3:20 Se nanm moun ki nan tan lontan te derefize kwè nan Bondye. Se te sou tan Noe. Lè sa a, Bondye t'ap tann ak pasyans pandan Noe t'ap fè gwo batiman an. Nan batiman sa a, se kèk moun sèlman, wit moun antou, ki te sove nan dlo a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:21 ============ 1Pe 3:21 The like figure whereunto even baptism doth also now save us (not the putting away of the filth of the flesh, but the answer of a good conscience toward God,) by the resurrection of Jesus Christ:(KJV-1611) 1Pe 3:21 Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,(Creole-HT) ======= 1 Peter 3:22 ============ 1Pe 3:22 Who is gone into heaven, and is on the right hand of God; angels and authorities and powers being made subject unto him.(KJV-1611) 1Pe 3:22 ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:1 ============ 1Pe 4:1 Forasmuch then as Christ hath suffered for us in the flesh, arm yourselves likewise with the same mind: for he that hath suffered in the flesh hath ceased from sin;(KJV-1611) 1Pe 4:1 Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:2 ============ 1Pe 4:2 That he no longer should live the rest of his time in the flesh to the lusts of men, but to the will of God.(KJV-1611) 1Pe 4:2 Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:3 ============ 1Pe 4:3 For the time past of our life may suffice us to have wrought the will of the Gentiles, when we walked in lasciviousness, lusts, excess of wine, revellings, banquetings, and abominable idolatries:(KJV-1611) 1Pe 4:3 Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:4 ============ 1Pe 4:4 Wherein they think it strange that ye run not with them to the same excess of riot, speaking evil of you:(KJV-1611) 1Pe 4:4 Koulye a, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:5 ============ 1Pe 4:5 Who shall give account to him that is ready to judge the quick and the dead.(KJV-1611) 1Pe 4:5 Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:6 ============ 1Pe 4:6 For for this cause was the gospel preached also to them that are dead, that they might be judged according to men in the flesh, but live according to God in the spirit.(KJV-1611) 1Pe 4:6 Se pou sa menm yo te anonse bon nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, koulye a yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l' la.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:7 ============ 1Pe 4:7 But the end of all things is at hand: be ye therefore sober, and watch unto prayer.(KJV-1611) 1Pe 4:7 Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:8 ============ 1Pe 4:8 And above all things have fervent charity among yourselves: for charity shall cover the multitude of sins.(KJV-1611) 1Pe 4:8 Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:9 ============ 1Pe 4:9 Use hospitality one to another without grudging.(KJV-1611) 1Pe 4:9 Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:10 ============ 1Pe 4:10 As every man hath received the gift, even so minister the same one to another, as good stewards of the manifold grace of God.(KJV-1611) 1Pe 4:10 Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:11 ============ 1Pe 4:11 If any man speak, let him speak as the oracles of God; if any man minister, let him do it as of the ability which God giveth: that God in all things may be glorified through Jesus Christ, to whom be praise and dominion for ever and ever. Amen.(KJV-1611) 1Pe 4:11 Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:12 ============ 1Pe 4:12 Beloved, think it not strange concerning the fiery trial which is to try you, as though some strange thing happened unto you:(KJV-1611) 1Pe 4:12 Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:13 ============ 1Pe 4:13 But rejoice, inasmuch as ye are partakers of Christ's sufferings; that, when his glory shall be revealed, ye may be glad also with exceeding joy.(KJV-1611) 1Pe 4:13 Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:14 ============ 1Pe 4:14 If ye be reproached for the name of Christ, happy are ye; for the spirit of glory and of God resteth upon you: on their part he is evil spoken of, but on your part he is glorified.(KJV-1611) 1Pe 4:14 Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:15 ============ 1Pe 4:15 But let none of you suffer as a murderer, or as a thief, or as an evildoer, or as a busybody in other men's matters.(KJV-1611) 1Pe 4:15 Mwen swete pou pesonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:16 ============ 1Pe 4:16 Yet if any man suffer as a Christian, let him not be ashamed; but let him glorify God on this behalf.(KJV-1611) 1Pe 4:16 Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:17 ============ 1Pe 4:17 For the time is come that judgment must begin at the house of God: and if it first begin at us, what shall the end be of them that obey not the gospel of God?(KJV-1611) 1Pe 4:17 Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:18 ============ 1Pe 4:18 And if the righteous scarcely be saved, where shall the ungodly and the sinner appear?(KJV-1611) 1Pe 4:18 Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 4:19 ============ 1Pe 4:19 Wherefore let them that suffer according to the will of God commit the keeping of their souls to him in well doing, as unto a faithful Creator.(KJV-1611) 1Pe 4:19 Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:1 ============ 1Pe 5:1 The elders which are among you I exhort, who am also an elder, and a witness of the sufferings of Christ, and also a partaker of the glory that shall be revealed:(KJV-1611) 1Pe 5:1 Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:2 ============ 1Pe 5:2 Feed the flock of God which is among you, taking the oversight thereof, not by constraint, but willingly; not for filthy lucre, but of a ready mind;(KJV-1611) 1Pe 5:2 Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:3 ============ 1Pe 5:3 Neither as being lords over God's heritage, but being ensamples to the flock.(KJV-1611) 1Pe 5:3 Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:4 ============ 1Pe 5:4 And when the chief Shepherd shall appear, ye shall receive a crown of glory that fadeth not away.(KJV-1611) 1Pe 5:4 Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:5 ============ 1Pe 5:5 Likewise, ye younger, submit yourselves unto the elder. Yea, all of you be subject one to another, and be clothed with humility: for God resisteth the proud, and giveth grace to the humble.(KJV-1611) 1Pe 5:5 Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:6 ============ 1Pe 5:6 Humble yourselves therefore under the mighty hand of God, that he may exalt you in due time:(KJV-1611) 1Pe 5:6 Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:7 ============ 1Pe 5:7 Casting all your care upon him; for he careth for you.(KJV-1611) 1Pe 5:7 Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:8 ============ 1Pe 5:8 Be sober, be vigilant; because your adversary the devil, as a roaring lion, walketh about, seeking whom he may devour:(KJV-1611) 1Pe 5:8 Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:9 ============ 1Pe 5:9 Whom resist stedfast in the faith, knowing that the same afflictions are accomplished in your brethren that are in the world.(KJV-1611) 1Pe 5:9 Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:10 ============ 1Pe 5:10 But the God of all grace, who hath called us unto his eternal glory by Christ Jesus, after that ye have suffered a while, make you perfect, stablish, strengthen, settle you.(KJV-1611) 1Pe 5:10 Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:11 ============ 1Pe 5:11 To him be glory and dominion for ever and ever. Amen.(KJV-1611) 1Pe 5:11 Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:12 ============ 1Pe 5:12 By Silvanus, a faithful brother unto you, as I suppose, I have written briefly, exhorting, and testifying that this is the true grace of God wherein ye stand.(KJV-1611) 1Pe 5:12 Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:13 ============ 1Pe 5:13 The church that is at Babylon, elected together with you, saluteth you; and so doth Marcus my son.(KJV-1611) 1Pe 5:13 Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.(Creole-HT) ======= 1 Peter 5:14 ============ 1Pe 5:14 Greet ye one another with a kiss of charity. Peace be with you all that are in Christ Jesus. Amen.(KJV-1611) 1Pe 5:14 Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:1 ============ 2Pe 1:1 Simon Peter, a servant and an apostle of Jesus Christ, to them that have obtained like precious faith with us through the righteousness of God and our Saviour Jesus Christ:(KJV-1611) 2Pe 1:1 Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:2 ============ 2Pe 1:2 Grace and peace be multiplied unto you through the knowledge of God, and of Jesus our Lord,(KJV-1611) 2Pe 1:2 M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:3 ============ 2Pe 1:3 According as his divine power hath given unto us all things that pertain unto life and godliness, through the knowledge of him that hath called us to glory and virtue:(KJV-1611) 2Pe 1:3 Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:4 ============ 2Pe 1:4 Whereby are given unto us exceeding great and precious promises: that by these ye might be partakers of the divine nature, having escaped the corruption that is in the world through lust.(KJV-1611) 2Pe 1:4 Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:5 ============ 2Pe 1:5 And beside this, giving all diligence, add to your faith virtue; and to virtue knowledge;(KJV-1611) 2Pe 1:5 Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:6 ============ 2Pe 1:6 And to knowledge temperance; and to temperance patience; and to patience godliness;(KJV-1611) 2Pe 1:6 Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:7 ============ 2Pe 1:7 And to godliness brotherly kindness; and to brotherly kindness charity.(KJV-1611) 2Pe 1:7 Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:8 ============ 2Pe 1:8 For if these things be in you, and abound, they make you that ye shall neither be barren nor unfruitful in the knowledge of our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) 2Pe 1:8 Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Seyè nou an, ye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:9 ============ 2Pe 1:9 But he that lacketh these things is blind, and cannot see afar off, and hath forgotten that he was purged from his old sins.(KJV-1611) 2Pe 1:9 Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:10 ============ 2Pe 1:10 Wherefore the rather, brethren, give diligence to make your calling and election sure: for if ye do these things, ye shall never fall:(KJV-1611) 2Pe 1:10 Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:11 ============ 2Pe 1:11 For so an entrance shall be ministered unto you abundantly into the everlasting kingdom of our Lord and Saviour Jesus Christ.(KJV-1611) 2Pe 1:11 Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:12 ============ 2Pe 1:12 Wherefore I will not be negligent to put you always in remembrance of these things, though ye know them, and be established in the present truth.(KJV-1611) 2Pe 1:12 Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:13 ============ 2Pe 1:13 Yea, I think it meet, as long as I am in this tabernacle, to stir you up by putting you in remembrance;(KJV-1611) 2Pe 1:13 Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:14 ============ 2Pe 1:14 Knowing that shortly I must put off this my tabernacle, even as our Lord Jesus Christ hath shewed me.(KJV-1611) 2Pe 1:14 Paske, mwen konnen mwen pa lwen mouri. Se Seyè a menm ki fè m' konn sa.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:15 ============ 2Pe 1:15 Moreover I will endeavour that ye may be able after my decease to have these things always in remembrance.(KJV-1611) 2Pe 1:15 Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m' fin ale.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:16 ============ 2Pe 1:16 For we have not followed cunningly devised fables, when we made known unto you the power and coming of our Lord Jesus Christ, but were eyewitnesses of his majesty.(KJV-1611) 2Pe 1:16 Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:17 ============ 2Pe 1:17 For he received from God the Father honour and glory, when there came such a voice to him from the excellent glory, This is my beloved Son, in whom I am well pleased.(KJV-1611) 2Pe 1:17 Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:18 ============ 2Pe 1:18 And this voice which came from heaven we heard, when we were with him in the holy mount.(KJV-1611) 2Pe 1:18 Nou te tande vwa ki te soti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l' sou mòn kote Bondye te pale ak nou an.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:19 ============ 2Pe 1:19 We have also a more sure word of prophecy; whereunto ye do well that ye take heed, as unto a light that shineth in a dark place, until the day dawn, and the day star arise in your hearts:(KJV-1611) 2Pe 1:19 Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:20 ============ 2Pe 1:20 Knowing this first, that no prophecy of the scripture is of any private interpretation.(KJV-1611) 2Pe 1:20 Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle.(Creole-HT) ======= 2 Peter 1:21 ============ 2Pe 1:21 For the prophecy came not in old time by the will of man: but holy men of God spake as they were moved by the Holy Ghost.(KJV-1611) 2Pe 1:21 Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:1 ============ 2Pe 2:1 But there were false prophets also among the people, even as there shall be false teachers among you, who privily shall bring in damnable heresies, even denying the Lord that bought them, and bring upon themselves swift destruction.(KJV-1611) 2Pe 2:1 Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:2 ============ 2Pe 2:2 And many shall follow their pernicious ways; by reason of whom the way of truth shall be evil spoken of.(KJV-1611) 2Pe 2:2 Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:3 ============ 2Pe 2:3 And through covetousness shall they with feigned words make merchandise of you: whose judgment now of a long time lingereth not, and their damnation slumbereth not.(KJV-1611) 2Pe 2:3 Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:4 ============ 2Pe 2:4 For if God spared not the angels that sinned, but cast them down to hell, and delivered them into chains of darkness, to be reserved unto judgment;(KJV-1611) 2Pe 2:4 Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:5 ============ 2Pe 2:5 And spared not the old world, but saved Noah the eighth person, a preacher of righteousness, bringing in the flood upon the world of the ungodly;(KJV-1611) 2Pe 2:5 Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:6 ============ 2Pe 2:6 And turning the cities of Sodom and Gomorrha into ashes condemned them with an overthrow, making them an ensample unto those that after should live ungodly;(KJV-1611) 2Pe 2:6 Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:7 ============ 2Pe 2:7 And delivered just Lot, vexed with the filthy conversation of the wicked:(KJV-1611) 2Pe 2:7 Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:8 ============ 2Pe 2:8 (For that righteous man dwelling among them, in seeing and hearing, vexed his righteous soul from day to day with their unlawful deeds;)(KJV-1611) 2Pe 2:8 Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:9 ============ 2Pe 2:9 The Lord knoweth how to deliver the godly out of temptations, and to reserve the unjust unto the day of judgment to be punished:(KJV-1611) 2Pe 2:9 Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:10 ============ 2Pe 2:10 But chiefly them that walk after the flesh in the lust of uncleanness, and despise government. Presumptuous are they, selfwilled, they are not afraid to speak evil of dignities.(KJV-1611) 2Pe 2:10 sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:11 ============ 2Pe 2:11 Whereas angels, which are greater in power and might, bring not railing accusation against them before the Lord.(KJV-1611) 2Pe 2:11 Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:12 ============ 2Pe 2:12 But these, as natural brute beasts, made to be taken and destroyed, speak evil of the things that they understand not; and shall utterly perish in their own corruption;(KJV-1611) 2Pe 2:12 Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:13 ============ 2Pe 2:13 And shall receive the reward of unrighteousness, as they that count it pleasure to riot in the day time. Spots they are and blemishes, sporting themselves with their own deceivings while they feast with you;(KJV-1611) 2Pe 2:13 Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:14 ============ 2Pe 2:14 Having eyes full of adultery, and that cannot cease from sin; beguiling unstable souls: an heart they have exercised with covetous practices; cursed children:(KJV-1611) 2Pe 2:14 Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:15 ============ 2Pe 2:15 Which have forsaken the right way, and are gone astray, following the way of Balaam the son of Bosor, who loved the wages of unrighteousness;(KJV-1611) 2Pe 2:15 Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:16 ============ 2Pe 2:16 But was rebuked for his iniquity: the dumb ass speaking with man's voice forbad the madness of the prophet.(KJV-1611) 2Pe 2:16 Men, yo te kouri dèyè l' pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l' tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:17 ============ 2Pe 2:17 These are wells without water, clouds that are carried with a tempest; to whom the mist of darkness is reserved for ever.(KJV-1611) 2Pe 2:17 Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:18 ============ 2Pe 2:18 For when they speak great swelling words of vanity, they allure through the lusts of the flesh, through much wantonness, those that were clean escaped from them who live in error.(KJV-1611) 2Pe 2:18 Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:19 ============ 2Pe 2:19 While they promise them liberty, they themselves are the servants of corruption: for of whom a man is overcome, of the same is he brought in bondage.(KJV-1611) 2Pe 2:19 Yo pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:20 ============ 2Pe 2:20 For if after they have escaped the pollutions of the world through the knowledge of the Lord and Saviour Jesus Christ, they are again entangled therein, and overcome, the latter end is worse with them than the beginning.(KJV-1611) 2Pe 2:20 Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:21 ============ 2Pe 2:21 For it had been better for them not to have known the way of righteousness, than, after they have known it, to turn from the holy commandment delivered unto them.(KJV-1611) 2Pe 2:21 Sa ta pi bon pou li si l' pa t' janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l' lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a.(Creole-HT) ======= 2 Peter 2:22 ============ 2Pe 2:22 But it is happened unto them according to the true proverb, The dog is turned to his own vomit again; and the sow that was washed to her wallowing in the mire.(KJV-1611) 2Pe 2:22 Sa ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, li al woule nan labou ankò.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:1 ============ 2Pe 3:1 This second epistle, beloved, I now write unto you; in both which I stir up your pure minds by way of remembrance:(KJV-1611) 2Pe 3:1 Frè m' yo, sa fè dezyèm lèt m'ap ekri nou. Nan tou de lèt yo mwen te vle fè nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dòmi, pou n' te ka gen bon lide nan tèt nou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:2 ============ 2Pe 3:2 That ye may be mindful of the words which were spoken before by the holy prophets, and of the commandment of us the apostles of the Lord and Saviour:(KJV-1611) 2Pe 3:2 Se pou n' toujou chonje sa pwofèt Bondye yo te di nou depi lontan. Toujou chonje kòmandman Seyè ki delivrans nou an. Se kòmandman sa yo apòt yo te moutre nou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:3 ============ 2Pe 3:3 Knowing this first, that there shall come in the last days scoffers, walking after their own lusts,(KJV-1611) 2Pe 3:3 Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt ka pral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:4 ============ 2Pe 3:4 And saying, Where is the promise of his coming? for since the fathers fell asleep, all things continue as they were from the beginning of the creation.(KJV-1611) 2Pe 3:4 Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:5 ============ 2Pe 3:5 For this they willingly are ignorant of, that by the word of God the heavens were of old, and the earth standing out of the water and in the water:(KJV-1611) 2Pe 3:5 Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:6 ============ 2Pe 3:6 Whereby the world that then was, being overflowed with water, perished:(KJV-1611) 2Pe 3:6 Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l' te detwi tout bagay.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:7 ============ 2Pe 3:7 But the heavens and the earth, which are now, by the same word are kept in store, reserved unto fire against the day of judgment and perdition of ungodly men.(KJV-1611) 2Pe 3:7 Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la koulye a ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:8 ============ 2Pe 3:8 But, beloved, be not ignorant of this one thing, that one day is with the Lord as a thousand years, and a thousand years as one day.(KJV-1611) 2Pe 3:8 Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil an, milan se tankou yon jou.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:9 ============ 2Pe 3:9 The Lord is not slack concerning his promise, as some men count slackness; but is longsuffering to us-ward, not willing that any should perish, but that all should come to repentance.(KJV-1611) 2Pe 3:9 Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:10 ============ 2Pe 3:10 But the day of the Lord will come as a thief in the night; in the which the heavens shall pass away with a great noise, and the elements shall melt with fervent heat, the earth also and the works that are therein shall be burned up.(KJV-1611) 2Pe 3:10 Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:11 ============ 2Pe 3:11 Seeing then that all these things shall be dissolved, what manner of persons ought ye to be in all holy conversation and godliness,(KJV-1611) 2Pe 3:11 Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:12 ============ 2Pe 3:12 Looking for and hasting unto the coming of the day of God, wherein the heavens being on fire shall be dissolved, and the elements shall melt with fervent heat?(KJV-1611) 2Pe 3:12 Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l' rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:13 ============ 2Pe 3:13 Nevertheless we, according to his promise, look for new heavens and a new earth, wherein dwelleth righteousness.(KJV-1611) 2Pe 3:13 Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:14 ============ 2Pe 3:14 Wherefore, beloved, seeing that ye look for such things, be diligent that ye may be found of him in peace, without spot, and blameless.(KJV-1611) 2Pe 3:14 Se poutèt sa, frè m' yo, pandan n'ap tann bagay sa yo, ann fè sa nou kapab pou Bondye ka jwenn nou ap viv ak kè poze, san okenn fòt, ni okenn defo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:15 ============ 2Pe 3:15 And account that the longsuffering of our Lord is salvation; even as our beloved brother Paul also according to the wisdom given unto him hath written unto you;(KJV-1611) 2Pe 3:15 Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:16 ============ 2Pe 3:16 As also in all his epistles, speaking in them of these things; in which are some things hard to be understood, which they that are unlearned and unstable wrest, as they do also the other scriptures, unto their own destruction.(KJV-1611) 2Pe 3:16 Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:17 ============ 2Pe 3:17 Ye therefore, beloved, seeing ye know these things before, beware lest ye also, being led away with the error of the wicked, fall from your own stedfastness.(KJV-1611) 2Pe 3:17 Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan.(Creole-HT) ======= 2 Peter 3:18 ============ 2Pe 3:18 But grow in grace, and in the knowledge of our Lord and Saviour Jesus Christ. To him be glory both now and for ever. Amen.(KJV-1611) 2Pe 3:18 Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= 1 John 1:1 ============ 1Jn 1:1 That which was from the beginning, which we have heard, which we have seen with our eyes, which we have looked upon, and our hands have handled, of the Word of life;(KJV-1611) 1Jn 1:1 M'ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l', nou te wè l' ak pwòp je nou, nou te gade l' byen gade, nou te manyen l' ak men nou.(Creole-HT) ======= 1 John 1:2 ============ 1Jn 1:2 (For the life was manifested, and we have seen it, and bear witness, and shew unto you that eternal life, which was with the Father, and was manifested unto us;)(KJV-1611) 1Jn 1:2 Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.(Creole-HT) ======= 1 John 1:3 ============ 1Jn 1:3 That which we have seen and heard declare we unto you, that ye also may have fellowship with us: and truly our fellowship is with the Father, and with his Son Jesus Christ.(KJV-1611) 1Jn 1:3 Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l' tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.(Creole-HT) ======= 1 John 1:4 ============ 1Jn 1:4 And these things write we unto you, that your joy may be full.(KJV-1611) 1Jn 1:4 M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.(Creole-HT) ======= 1 John 1:5 ============ 1Jn 1:5 This then is the message which we have heard of him, and declare unto you, that God is light, and in him is no darkness at all.(KJV-1611) 1Jn 1:5 Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 1:6 ============ 1Jn 1:6 If we say that we have fellowship with him, and walk in darkness, we lie, and do not the truth:(KJV-1611) 1Jn 1:6 Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 John 1:7 ============ 1Jn 1:7 But if we walk in the light, as he is in the light, we have fellowship one with another, and the blood of Jesus Christ his Son cleanseth us from all sin.(KJV-1611) 1Jn 1:7 Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.(Creole-HT) ======= 1 John 1:8 ============ 1Jn 1:8 If we say that we have no sin, we deceive ourselves, and the truth is not in us.(KJV-1611) 1Jn 1:8 Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.(Creole-HT) ======= 1 John 1:9 ============ 1Jn 1:9 If we confess our sins, he is faithful and just to forgive us our sins, and to cleanse us from all unrighteousness.(KJV-1611) 1Jn 1:9 Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 John 1:10 ============ 1Jn 1:10 If we say that we have not sinned, we make him a liar, and his word is not in us.(KJV-1611) 1Jn 1:10 Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.(Creole-HT) ======= 1 John 2:1 ============ 1Jn 2:1 My little children, these things write I unto you, that ye sin not. And if any man sin, we have an advocate with the Father, Jesus Christ the righteous:(KJV-1611) 1Jn 2:1 Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 John 2:2 ============ 1Jn 2:2 And he is the propitiation for our sins: and not for our's only, but also for the sins of the whole world.(KJV-1611) 1Jn 2:2 Paske, Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase, men peche tout moun tou.(Creole-HT) ======= 1 John 2:3 ============ 1Jn 2:3 And hereby we do know that we know him, if we keep his commandments.(KJV-1611) 1Jn 2:3 Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li.(Creole-HT) ======= 1 John 2:4 ============ 1Jn 2:4 He that saith, I know him, and keepeth not his commandments, is a liar, and the truth is not in him.(KJV-1611) 1Jn 2:4 Lè yon moun di: mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l' fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.(Creole-HT) ======= 1 John 2:5 ============ 1Jn 2:5 But whoso keepeth his word, in him verily is the love of God perfected: hereby know we that we are in him.(KJV-1611) 1Jn 2:5 Men, moun ki obeyi pawòl Bondye a, se moun sa a ki konmanse renmen Bondye tout bon vre. Men ki jan nou ka konnen nou fè yonn ak Bondye:(Creole-HT) ======= 1 John 2:6 ============ 1Jn 2:6 He that saith he abideth in him ought himself also so to walk, even as he walked.(KJV-1611) 1Jn 2:6 Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.(Creole-HT) ======= 1 John 2:7 ============ 1Jn 2:7 Brethren, I write no new commandment unto you, but an old commandment which ye had from the beginning. The old commandment is the word which ye have heard from the beginning.(KJV-1611) 1Jn 2:7 Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.(Creole-HT) ======= 1 John 2:8 ============ 1Jn 2:8 Again, a new commandment I write unto you, which thing is true in him and in you: because the darkness is past, and the true light now shineth.(KJV-1611) 1Jn 2:8 Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gen tan ap klere.(Creole-HT) ======= 1 John 2:9 ============ 1Jn 2:9 He that saith he is in the light, and hateth his brother, is in darkness even until now.(KJV-1611) 1Jn 2:9 Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.(Creole-HT) ======= 1 John 2:10 ============ 1Jn 2:10 He that loveth his brother abideth in the light, and there is none occasion of stumbling in him.(KJV-1611) 1Jn 2:10 Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.(Creole-HT) ======= 1 John 2:11 ============ 1Jn 2:11 But he that hateth his brother is in darkness, and walketh in darkness, and knoweth not whither he goeth, because that darkness hath blinded his eyes.(KJV-1611) 1Jn 2:11 Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.(Creole-HT) ======= 1 John 2:12 ============ 1Jn 2:12 I write unto you, little children, because your sins are forgiven you for his name's sake.(KJV-1611) 1Jn 2:12 Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri.(Creole-HT) ======= 1 John 2:13 ============ 1Jn 2:13 I write unto you, fathers, because ye have known him that is from the beginning. I write unto you, young men, because ye have overcome the wicked one. I write unto you, little children, because ye have known the Father.(KJV-1611) 1Jn 2:13 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a.(Creole-HT) ======= 1 John 2:14 ============ 1Jn 2:14 I have written unto you, fathers, because ye have known him that is from the beginning. I have written unto you, young men, because ye are strong, and the word of God abideth in you, and ye have overcome the wicked one.(KJV-1611) 1Jn 2:14 M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la.(Creole-HT) ======= 1 John 2:15 ============ 1Jn 2:15 Love not the world, neither the things that are in the world. If any man love the world, the love of the Father is not in him.(KJV-1611) 1Jn 2:15 Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, li pa gen renmen pou Papa a nan kè li.(Creole-HT) ======= 1 John 2:16 ============ 1Jn 2:16 For all that is in the world, the lust of the flesh, and the lust of the eyes, and the pride of life, is not of the Father, but is of the world.(KJV-1611) 1Jn 2:16 Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.(Creole-HT) ======= 1 John 2:17 ============ 1Jn 2:17 And the world passeth away, and the lust thereof: but he that doeth the will of God abideth for ever.(KJV-1611) 1Jn 2:17 Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l' yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.(Creole-HT) ======= 1 John 2:18 ============ 1Jn 2:18 Little children, it is the last time: and as ye have heard that antichrist shall come, even now are there many antichrists; whereby we know that it is the last time.(KJV-1611) 1Jn 2:18 Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.(Creole-HT) ======= 1 John 2:19 ============ 1Jn 2:19 They went out from us, but they were not of us; for if they had been of us, they would no doubt have continued with us: but they went out, that they might be made manifest that they were not all of us.(KJV-1611) 1Jn 2:19 Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon.(Creole-HT) ======= 1 John 2:20 ============ 1Jn 2:20 But ye have an unction from the Holy One, and ye know all things.(KJV-1611) 1Jn 2:20 Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.(Creole-HT) ======= 1 John 2:21 ============ 1Jn 2:21 I have not written unto you because ye know not the truth, but because ye know it, and that no lie is of the truth.(KJV-1611) 1Jn 2:21 Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka soti nan verite a.(Creole-HT) ======= 1 John 2:22 ============ 1Jn 2:22 Who is a liar but he that denieth that Jesus is the Christ? He is antichrist, that denieth the Father and the Son.(KJV-1611) 1Jn 2:22 Kilès k'ap bay manti la a? Se moun ki di Jezi pa Kris la. Moun sa a, se goumen l'ap goumen ak Kris la. Li voye ni Papa a ni Pitit la jete.(Creole-HT) ======= 1 John 2:23 ============ 1Jn 2:23 Whosoever denieth the Son, the same hath not the Father: he that acknowledgeth the Son hath the Father also.(KJV-1611) 1Jn 2:23 Moun ki voye Pitit la jete, li voye Papa a jete tou. Moun ki rekonèt Pitit la, li rekonèt Papa a tou.(Creole-HT) ======= 1 John 2:24 ============ 1Jn 2:24 Let that therefore abide in you, which ye have heard from the beginning. If that which ye have heard from the beginning shall remain in you, ye also shall continue in the Son, and in the Father.(KJV-1611) 1Jn 2:24 Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la.(Creole-HT) ======= 1 John 2:25 ============ 1Jn 2:25 And this is the promise that he hath promised us, even eternal life.(KJV-1611) 1Jn 2:25 Men sa Jezikri te pwomèt l'ap ban nou an: se lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= 1 John 2:26 ============ 1Jn 2:26 These things have I written unto you concerning them that seduce you.(KJV-1611) 1Jn 2:26 M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo.(Creole-HT) ======= 1 John 2:27 ============ 1Jn 2:27 But the anointing which ye have received of him abideth in you, and ye need not that any man teach you: but as the same anointing teacheth you of all things, and is truth, and is no lie, and even as it hath taught you, ye shall abide in him.(KJV-1611) 1Jn 2:27 Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.(Creole-HT) ======= 1 John 2:28 ============ 1Jn 2:28 And now, little children, abide in him; that, when he shall appear, we may have confidence, and not be ashamed before him at his coming.(KJV-1611) 1Jn 2:28 Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.(Creole-HT) ======= 1 John 2:29 ============ 1Jn 2:29 If ye know that he is righteous, ye know that every one that doeth righteousness is born of him.(KJV-1611) 1Jn 2:29 Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:1 ============ 1Jn 3:1 Behold, what manner of love the Father hath bestowed upon us, that we should be called the sons of God: therefore the world knoweth us not, because it knew him not.(KJV-1611) 1Jn 3:1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:2 ============ 1Jn 3:2 Beloved, now are we the sons of God, and it doth not yet appear what we shall be: but we know that, when he shall appear, we shall be like him; for we shall see him as he is.(KJV-1611) 1Jn 3:2 Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.(Creole-HT) ======= 1 John 3:3 ============ 1Jn 3:3 And every man that hath this hope in him purifieth himself, even as he is pure.(KJV-1611) 1Jn 3:3 Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l' pou l' pa t' fè sa ki mal.(Creole-HT) ======= 1 John 3:4 ============ 1Jn 3:4 Whosoever committeth sin transgresseth also the law: for sin is the transgression of the law.(KJV-1611) 1Jn 3:4 Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.(Creole-HT) ======= 1 John 3:5 ============ 1Jn 3:5 And ye know that he was manifested to take away our sins; and in him is no sin.(KJV-1611) 1Jn 3:5 Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t' janm fè peche.(Creole-HT) ======= 1 John 3:6 ============ 1Jn 3:6 Whosoever abideth in him sinneth not: whosoever sinneth hath not seen him, neither known him.(KJV-1611) 1Jn 3:6 Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l'ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l', ki pa janm konnen li.(Creole-HT) ======= 1 John 3:7 ============ 1Jn 3:7 Little children, let no man deceive you: he that doeth righteousness is righteous, even as he is righteous.(KJV-1611) 1Jn 3:7 Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat.(Creole-HT) ======= 1 John 3:8 ============ 1Jn 3:8 He that committeth sin is of the devil; for the devil sinneth from the beginning. For this purpose the Son of God was manifested, that he might destroy the works of the devil.(KJV-1611) 1Jn 3:8 Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.(Creole-HT) ======= 1 John 3:9 ============ 1Jn 3:9 Whosoever is born of God doth not commit sin; for his seed remaineth in him: and he cannot sin, because he is born of God.(KJV-1611) 1Jn 3:9 Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou.(Creole-HT) ======= 1 John 3:10 ============ 1Jn 3:10 In this the children of God are manifest, and the children of the devil: whosoever doeth not righteousness is not of God, neither he that loveth not his brother.(KJV-1611) 1Jn 3:10 Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:11 ============ 1Jn 3:11 For this is the message that ye heard from the beginning, that we should love one another.(KJV-1611) 1Jn 3:11 Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.(Creole-HT) ======= 1 John 3:12 ============ 1Jn 3:12 Not as Cain, who was of that wicked one, and slew his brother. And wherefore slew he him? Because his own works were evil, and his brother's righteous.(KJV-1611) 1Jn 3:12 Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t'ap fè a pa t' bon, men sa frè l' t'ap fè a te dwat devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:13 ============ 1Jn 3:13 Marvel not, my brethren, if the world hate you.(KJV-1611) 1Jn 3:13 Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou.(Creole-HT) ======= 1 John 3:14 ============ 1Jn 3:14 We know that we have passed from death unto life, because we love the brethren. He that loveth not his brother abideth in death.(KJV-1611) 1Jn 3:14 Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri.(Creole-HT) ======= 1 John 3:15 ============ 1Jn 3:15 Whosoever hateth his brother is a murderer: and ye know that no murderer hath eternal life abiding in him.(KJV-1611) 1Jn 3:15 Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.(Creole-HT) ======= 1 John 3:16 ============ 1Jn 3:16 Hereby perceive we the love of God, because he laid down his life for us: and we ought to lay down our lives for the brethren.(KJV-1611) 1Jn 3:16 Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.(Creole-HT) ======= 1 John 3:17 ============ 1Jn 3:17 But whoso hath this world's good, and seeth his brother have need, and shutteth up his bowels of compassion from him, how dwelleth the love of God in him?(KJV-1611) 1Jn 3:17 Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:18 ============ 1Jn 3:18 My little children, let us not love in word, neither in tongue; but in deed and in truth.(KJV-1611) 1Jn 3:18 Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.(Creole-HT) ======= 1 John 3:19 ============ 1Jn 3:19 And hereby we know that we are of the truth, and shall assure our hearts before him.(KJV-1611) 1Jn 3:19 Se konsa n'a konnen nou se moun laverite a. Se konsa n'a santi nan kè nou nou pa gen kè sote devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:20 ============ 1Jn 3:20 For if our heart condemn us, God is greater than our heart, and knoweth all things.(KJV-1611) 1Jn 3:20 Paske, si konsyans nou kondannen nou, nou konnen Bondye pi fò pase konsyans nou, li konn tout bagay.(Creole-HT) ======= 1 John 3:21 ============ 1Jn 3:21 Beloved, if our heart condemn us not, then have we confidence toward God.(KJV-1611) 1Jn 3:21 Konsa, zanmi m' yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 3:22 ============ 1Jn 3:22 And whatsoever we ask, we receive of him, because we keep his commandments, and do those things that are pleasing in his sight.(KJV-1611) 1Jn 3:22 Tou sa n'a mande l', la ban nou l', paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l' plezi.(Creole-HT) ======= 1 John 3:23 ============ 1Jn 3:23 And this is his commandment, That we should believe on the name of his Son Jesus Christ, and love one another, as he gave us commandment.(KJV-1611) 1Jn 3:23 Men sa l' mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la.(Creole-HT) ======= 1 John 3:24 ============ 1Jn 3:24 And he that keepeth his commandments dwelleth in him, and he in him. And hereby we know that he abideth in us, by the Spirit which he hath given us.(KJV-1611) 1Jn 3:24 Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.(Creole-HT) ======= 1 John 4:1 ============ 1Jn 4:1 Beloved, believe not every spirit, but try the spirits whether they are of God: because many false prophets are gone out into the world.(KJV-1611) 1Jn 4:1 Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.(Creole-HT) ======= 1 John 4:2 ============ 1Jn 4:2 Hereby know ye the Spirit of God: Every spirit that confesseth that Jesus Christ is come in the flesh is of God:(KJV-1611) 1Jn 4:2 Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 John 4:3 ============ 1Jn 4:3 And every spirit that confesseth not that Jesus Christ is come in the flesh is not of God: and this is that spirit of antichrist, whereof ye have heard that it should come; and even now already is it in the world.(KJV-1611) 1Jn 4:3 Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.(Creole-HT) ======= 1 John 4:4 ============ 1Jn 4:4 Ye are of God, little children, and have overcome them: because greater is he that is in you, than he that is in the world.(KJV-1611) 1Jn 4:4 Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.(Creole-HT) ======= 1 John 4:5 ============ 1Jn 4:5 They are of the world: therefore speak they of the world, and the world heareth them.(KJV-1611) 1Jn 4:5 Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn.(Creole-HT) ======= 1 John 4:6 ============ 1Jn 4:6 We are of God: he that knoweth God heareth us; he that is not of God heareth not us. Hereby know we the spirit of truth, and the spirit of error.(KJV-1611) 1Jn 4:6 Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.(Creole-HT) ======= 1 John 4:7 ============ 1Jn 4:7 Beloved, let us love one another: for love is of God; and every one that loveth is born of God, and knoweth God.(KJV-1611) 1Jn 4:7 Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.(Creole-HT) ======= 1 John 4:8 ============ 1Jn 4:8 He that loveth not knoweth not God; for God is love.(KJV-1611) 1Jn 4:8 Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.(Creole-HT) ======= 1 John 4:9 ============ 1Jn 4:9 In this was manifested the love of God toward us, because that God sent his only begotten Son into the world, that we might live through him.(KJV-1611) 1Jn 4:9 Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi.(Creole-HT) ======= 1 John 4:10 ============ 1Jn 4:10 Herein is love, not that we loved God, but that he loved us, and sent his Son to be the propitiation for our sins.(KJV-1611) 1Jn 4:10 Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.(Creole-HT) ======= 1 John 4:11 ============ 1Jn 4:11 Beloved, if God so loved us, we ought also to love one another.(KJV-1611) 1Jn 4:11 Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt.(Creole-HT) ======= 1 John 4:12 ============ 1Jn 4:12 No man hath seen God at any time. If we love one another, God dwelleth in us, and his love is perfected in us.(KJV-1611) 1Jn 4:12 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.(Creole-HT) ======= 1 John 4:13 ============ 1Jn 4:13 Hereby know we that we dwell in him, and he in us, because he hath given us of his Spirit.(KJV-1611) 1Jn 4:13 Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.(Creole-HT) ======= 1 John 4:14 ============ 1Jn 4:14 And we have seen and do testify that the Father sent the Son to be the Saviour of the world.(KJV-1611) 1Jn 4:14 Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.(Creole-HT) ======= 1 John 4:15 ============ 1Jn 4:15 Whosoever shall confess that Jesus is the Son of God, God dwelleth in him, and he in God.(KJV-1611) 1Jn 4:15 Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 4:16 ============ 1Jn 4:16 And we have known and believed the love that God hath to us. God is love; and he that dwelleth in love dwelleth in God, and God in him.(KJV-1611) 1Jn 4:16 Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.(Creole-HT) ======= 1 John 4:17 ============ 1Jn 4:17 Herein is our love made perfect, that we may have boldness in the day of judgment: because as he is, so are we in this world.(KJV-1611) 1Jn 4:17 Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.(Creole-HT) ======= 1 John 4:18 ============ 1Jn 4:18 There is no fear in love; but perfect love casteth out fear: because fear hath torment. He that feareth is not made perfect in love.(KJV-1611) 1Jn 4:18 Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.(Creole-HT) ======= 1 John 4:19 ============ 1Jn 4:19 We love him, because he first loved us.(KJV-1611) 1Jn 4:19 Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.(Creole-HT) ======= 1 John 4:20 ============ 1Jn 4:20 If a man say, I love God, and hateth his brother, he is a liar: for he that loveth not his brother whom he hath seen, how can he love God whom he hath not seen?(KJV-1611) 1Jn 4:20 Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.(Creole-HT) ======= 1 John 4:21 ============ 1Jn 4:21 And this commandment have we from him, That he who loveth God love his brother also.(KJV-1611) 1Jn 4:21 Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.(Creole-HT) ======= 1 John 5:1 ============ 1Jn 5:1 Whosoever believeth that Jesus is the Christ is born of God: and every one that loveth him that begat loveth him also that is begotten of him.(KJV-1611) 1Jn 5:1 Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.(Creole-HT) ======= 1 John 5:2 ============ 1Jn 5:2 By this we know that we love the children of God, when we love God, and keep his commandments.(KJV-1611) 1Jn 5:2 Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.(Creole-HT) ======= 1 John 5:3 ============ 1Jn 5:3 For this is the love of God, that we keep his commandments: and his commandments are not grievous.(KJV-1611) 1Jn 5:3 Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.(Creole-HT) ======= 1 John 5:4 ============ 1Jn 5:4 For whatsoever is born of God overcometh the world: and this is the victory that overcometh the world, even our faith.(KJV-1611) 1Jn 5:4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.(Creole-HT) ======= 1 John 5:5 ============ 1Jn 5:5 Who is he that overcometh the world, but he that believeth that Jesus is the Son of God?(KJV-1611) 1Jn 5:5 Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.(Creole-HT) ======= 1 John 5:6 ============ 1Jn 5:6 This is he that came by water and blood, even Jesus Christ; not by water only, but by water and blood. And it is the Spirit that beareth witness, because the Spirit is truth.(KJV-1611) 1Jn 5:6 Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t' vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.(Creole-HT) ======= 1 John 5:7 ============ 1Jn 5:7 For there are three that bear record in heaven, the Father, the Word, and the Holy Ghost: and these three are one.(KJV-1611) 1Jn 5:7 Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an.(Creole-HT) ======= 1 John 5:8 ============ 1Jn 5:8 And there are three that bear witness in earth, the Spirit, and the water, and the blood: and these three agree in one.(KJV-1611) 1Jn 5:8 Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.(Creole-HT) ======= 1 John 5:9 ============ 1Jn 5:9 If we receive the witness of men, the witness of God is greater: for this is the witness of God which he hath testified of his Son.(KJV-1611) 1Jn 5:9 Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a.(Creole-HT) ======= 1 John 5:10 ============ 1Jn 5:10 He that believeth on the Son of God hath the witness in himself: he that believeth not God hath made him a liar; because he believeth not the record that God gave of his Son.(KJV-1611) 1Jn 5:10 Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.(Creole-HT) ======= 1 John 5:11 ============ 1Jn 5:11 And this is the record, that God hath given to us eternal life, and this life is in his Son.(KJV-1611) 1Jn 5:11 Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.(Creole-HT) ======= 1 John 5:12 ============ 1Jn 5:12 He that hath the Son hath life; and he that hath not the Son of God hath not life.(KJV-1611) 1Jn 5:12 Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.(Creole-HT) ======= 1 John 5:13 ============ 1Jn 5:13 These things have I written unto you that believe on the name of the Son of God; that ye may know that ye have eternal life, and that ye may believe on the name of the Son of God.(KJV-1611) 1Jn 5:13 M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= 1 John 5:14 ============ 1Jn 5:14 And this is the confidence that we have in him, that, if we ask any thing according to his will, he heareth us:(KJV-1611) 1Jn 5:14 Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.(Creole-HT) ======= 1 John 5:15 ============ 1Jn 5:15 And if we know that he hear us, whatsoever we ask, we know that we have the petitions that we desired of him.(KJV-1611) 1Jn 5:15 Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.(Creole-HT) ======= 1 John 5:16 ============ 1Jn 5:16 If any man see his brother sin a sin which is not unto death, he shall ask, and he shall give him life for them that sin not unto death. There is a sin unto death: I do not say that he shall pray for it.(KJV-1611) 1Jn 5:16 Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.(Creole-HT) ======= 1 John 5:17 ============ 1Jn 5:17 All unrighteousness is sin: and there is a sin not unto death.(KJV-1611) 1Jn 5:17 Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò.(Creole-HT) ======= 1 John 5:18 ============ 1Jn 5:18 We know that whosoever is born of God sinneth not; but he that is begotten of God keepeth himself, and that wicked one toucheth him not.(KJV-1611) 1Jn 5:18 Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen.(Creole-HT) ======= 1 John 5:19 ============ 1Jn 5:19 And we know that we are of God, and the whole world lieth in wickedness.(KJV-1611) 1Jn 5:19 Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.(Creole-HT) ======= 1 John 5:20 ============ 1Jn 5:20 And we know that the Son of God is come, and hath given us an understanding, that we may know him that is true, and we are in him that is true, even in his Son Jesus Christ. This is the true God, and eternal life.(KJV-1611) 1Jn 5:20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.(Creole-HT) ======= 1 John 5:21 ============ 1Jn 5:21 Little children, keep yourselves from idols. Amen.(KJV-1611) 1Jn 5:21 Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!(Creole-HT) ======= 2 John 1:1 ============ 2Jn 1:1 The elder unto the elect lady and her children, whom I love in the truth; and not I only, but also all they that have known the truth;(KJV-1611) 2Jn 1:1 Mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, m'ap ekri lèt sa a pou Kiriya Bondye te chwazi a, yon moun mwen renmen tout bon, ansanm ak pitit li yo. Se pa mwen sèlman, men se tout moun ki konn verite a ki renmen nou.(Creole-HT) ======= 2 John 1:2 ============ 2Jn 1:2 For the truth's sake, which dwelleth in us, and shall be with us for ever.(KJV-1611) 2Jn 1:2 Paske verite a nan kè nou, l'ap avèk nou pou tout tan.(Creole-HT) ======= 2 John 1:3 ============ 2Jn 1:3 Grace be with you, mercy, and peace, from God the Father, and from the Lord Jesus Christ, the Son of the Father, in truth and love.(KJV-1611) 2Jn 1:3 Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Pitit Papa a, pou yo gen pitye pou nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze, pou nou ka resevwa tout bagay sa yo nan laverite ak nan renmen.(Creole-HT) ======= 2 John 1:4 ============ 2Jn 1:4 I rejoiced greatly that I found of thy children walking in truth, as we have received a commandment from the Father.(KJV-1611) 2Jn 1:4 Mwen pa t' manke kontan lè m' wè te gen de twa nan pitit ou yo k'ap mache nan verite a, jan Papa a mande nou sa.(Creole-HT) ======= 2 John 1:5 ============ 2Jn 1:5 And now I beseech thee, lady, not as though I wrote a new commandment unto thee, but that which we had from the beginning, that we love one another.(KJV-1611) 2Jn 1:5 Koulye a, men sa m'ap mande ou, Kiriya: se pou nou yonn renmen lòt. Se pa yon lòt kòmandman tou nèf m'ap ekri la a ban nou. Se menm kòmandman nou te genyen depi nan konmansman an.(Creole-HT) ======= 2 John 1:6 ============ 2Jn 1:6 And this is love, that we walk after his commandments. This is the commandment, That, as ye have heard from the beginning, ye should walk in it.(KJV-1611) 2Jn 1:6 Si nou gen renmen nan kè nou, sa vle di n'ap viv dapre kòmandman Bondye yo. Men sa Bondye mande nou, se pou nou viv nan renmen. Se sa menm nou te aprann depi nan konmansman.(Creole-HT) ======= 2 John 1:7 ============ 2Jn 1:7 For many deceivers are entered into the world, who confess not that Jesus Christ is come in the flesh. This is a deceiver and an antichrist.(KJV-1611) 2Jn 1:7 Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.(Creole-HT) ======= 2 John 1:8 ============ 2Jn 1:8 Look to yourselves, that we lose not those things which we have wrought, but that we receive a full reward.(KJV-1611) 2Jn 1:8 Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.(Creole-HT) ======= 2 John 1:9 ============ 2Jn 1:9 Whosoever transgresseth, and abideth not in the doctrine of Christ, hath not God. He that abideth in the doctrine of Christ, he hath both the Father and the Son.(KJV-1611) 2Jn 1:9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si li al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la.(Creole-HT) ======= 2 John 1:10 ============ 2Jn 1:10 If there come any unto you, and bring not this doctrine, receive him not into your house, neither bid him God speed:(KJV-1611) 2Jn 1:10 Si yon moun vin jwenn nou pou l' moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l' lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.(Creole-HT) ======= 2 John 1:11 ============ 2Jn 1:11 For he that biddeth him God speed is partaker of his evil deeds.(KJV-1611) 2Jn 1:11 Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.(Creole-HT) ======= 2 John 1:12 ============ 2Jn 1:12 Having many things to write unto you, I would not write with paper and ink: but I trust to come unto you, and speak face to face, that our joy may be full.(KJV-1611) 2Jn 1:12 Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.(Creole-HT) ======= 2 John 1:13 ============ 2Jn 1:13 The children of thy elect sister greet thee. Amen.(KJV-1611) 2Jn 1:13 Pitit sè ou yo, sè Bondye te chwazi ansanm avè ou la, yo voye bonjou pou ou.(Creole-HT) ======= 3 John 1:1 ============ 3Jn 1:1 The elder unto the wellbeloved Gaius, whom I love in the truth.(KJV-1611) 3Jn 1:1 Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an.(Creole-HT) ======= 3 John 1:2 ============ 3Jn 1:2 Beloved, I wish above all things that thou mayest prosper and be in health, even as thy soul prospereth.(KJV-1611) 3Jn 1:2 Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.(Creole-HT) ======= 3 John 1:3 ============ 3Jn 1:3 For I rejoiced greatly, when the brethren came and testified of the truth that is in thee, even as thou walkest in the truth.(KJV-1611) 3Jn 1:3 Mwen pa t' manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m' jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a.(Creole-HT) ======= 3 John 1:4 ============ 3Jn 1:4 I have no greater joy than to hear that my children walk in truth.(KJV-1611) 3Jn 1:4 Pa gen anyen ki pou fè m' pi kontan pase lè m' tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.(Creole-HT) ======= 3 John 1:5 ============ 3Jn 1:5 Beloved, thou doest faithfully whatsoever thou doest to the brethren, and to strangers;(KJV-1611) 3Jn 1:5 Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l' byen.(Creole-HT) ======= 3 John 1:6 ============ 3Jn 1:6 Which have borne witness of thy charity before the church: whom if thou bring forward on their journey after a godly sort, thou shalt do well:(KJV-1611) 3Jn 1:6 Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l' la.(Creole-HT) ======= 3 John 1:7 ============ 3Jn 1:7 Because that for his name's sake they went forth, taking nothing of the Gentiles.(KJV-1611) 3Jn 1:7 Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.(Creole-HT) ======= 3 John 1:8 ============ 3Jn 1:8 We therefore ought to receive such, that we might be fellowhelpers to the truth.(KJV-1611) 3Jn 1:8 Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a.(Creole-HT) ======= 3 John 1:9 ============ 3Jn 1:9 I wrote unto the church: but Diotrephes, who loveth to have the preeminence among them, receiveth us not.(KJV-1611) 3Jn 1:9 Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m' di a.(Creole-HT) ======= 3 John 1:10 ============ 3Jn 1:10 Wherefore, if I come, I will remember his deeds which he doeth, prating against us with malicious words: and not content therewith, neither doth he himself receive the brethren, and forbiddeth them that would, and casteth them out of the church.(KJV-1611) 3Jn 1:10 Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l' fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l', li menm chache mete yo deyò nan legliz la.(Creole-HT) ======= 3 John 1:11 ============ 3Jn 1:11 Beloved, follow not that which is evil, but that which is good. He that doeth good is of God: but he that doeth evil hath not seen God.(KJV-1611) 3Jn 1:11 Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye.(Creole-HT) ======= 3 John 1:12 ============ 3Jn 1:12 Demetrius hath good report of all men, and of the truth itself: yea, and we also bear record; and ye know that our record is true.(KJV-1611) 3Jn 1:12 Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.(Creole-HT) ======= 3 John 1:13 ============ 3Jn 1:13 I had many things to write, but I will not with ink and pen write unto thee:(KJV-1611) 3Jn 1:13 Mwen gen anpil bagay pou m' ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank.(Creole-HT) ======= 3 John 1:14 ============ 3Jn 1:14 But I trust I shall shortly see thee, and we shall speak face to face. Peace be to thee. Our friends salute thee. Greet the friends by name.(KJV-1611) 3Jn 1:14 Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m' yo yon bonjou apa pou mwen.(Creole-HT) ======= 3 John 1:15 ============ 3Jn 1:15 THIS VERSE DOES NOT APPEAR IN THE KJV BUT DOES IN THE NASB.(KJV-1611) 3Jn 1:15 Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m' yo yon bonjou apa pou mwen.(Creole-HT) ======= Jude 1:1 ============ Jud 1:1 Jude, the servant of Jesus Christ, and brother of James, to them that are sanctified by God the Father, and preserved in Jesus Christ, and called:(KJV-1611) Jud 1:1 Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.(Creole-HT) ======= Jude 1:2 ============ Jud 1:2 Mercy unto you, and peace, and love, be multiplied.(KJV-1611) Jud 1:2 Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.(Creole-HT) ======= Jude 1:3 ============ Jud 1:3 Beloved, when I gave all diligence to write unto you of the common salvation, it was needful for me to write unto you, and exhort you that ye should earnestly contend for the faith which was once delivered unto the saints.(KJV-1611) Jud 1:3 Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:4 ============ Jud 1:4 For there are certain men crept in unawares, who were before of old ordained to this condemnation, ungodly men, turning the grace of our God into lasciviousness, and denying the only Lord God, and our Lord Jesus Christ.(KJV-1611) Jud 1:4 Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:5 ============ Jud 1:5 I will therefore put you in remembrance, though ye once knew this, how that the Lord, having saved the people out of the land of Egypt, afterward destroyed them that believed not.(KJV-1611) Jud 1:5 Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t' kwè yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:6 ============ Jud 1:6 And the angels which kept not their first estate, but left their own habitation, he hath reserved in everlasting chains under darkness unto the judgment of the great day.(KJV-1611) Jud 1:6 Chonje tou ki jan zanj ki pa t' rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l' te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.(Creole-HT) ======= Jude 1:7 ============ Jud 1:7 Even as Sodom and Gomorrha, and the cities about them in like manner, giving themselves over to fornication, and going after strange flesh, are set forth for an example, suffering the vengeance of eternal fire.(KJV-1611) Jud 1:7 Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.(Creole-HT) ======= Jude 1:8 ============ Jud 1:8 Likewise also these filthy dreamers defile the flesh, despise dominion, and speak evil of dignities.(KJV-1611) Jud 1:8 Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.(Creole-HT) ======= Jude 1:9 ============ Jud 1:9 Yet Michael the archangel, when contending with the devil he disputed about the body of Moses, durst not bring against him a railing accusation, but said, The Lord rebuke thee.(KJV-1611) Jud 1:9 Menm Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t' penmèt li jije dyab la yon jan pou l' te manke l' dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.(Creole-HT) ======= Jude 1:10 ============ Jud 1:10 But these speak evil of those things which they know not: but what they know naturally, as brute beasts, in those things they corrupt themselves.(KJV-1611) Jud 1:10 Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:11 ============ Jud 1:11 Woe unto them! for they have gone in the way of Cain, and ran greedily after the error of Balaam for reward, and perished in the gainsaying of Core.(KJV-1611) Jud 1:11 Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.(Creole-HT) ======= Jude 1:12 ============ Jud 1:12 These are spots in your feasts of charity, when they feast with you, feeding themselves without fear: clouds they are without water, carried about of winds; trees whose fruit withereth, without fruit, twice dead, plucked up by the roots;(KJV-1611) Jud 1:12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.(Creole-HT) ======= Jude 1:13 ============ Jud 1:13 Raging waves of the sea, foaming out their own shame; wandering stars, to whom is reserved the blackness of darkness for ever.(KJV-1611) Jud 1:13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.(Creole-HT) ======= Jude 1:14 ============ Jud 1:14 And Enoch also, the seventh from Adam, prophesied of these, saying, Behold, the Lord cometh with ten thousands of his saints,(KJV-1611) Jud 1:14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:15 ============ Jud 1:15 To execute judgment upon all, and to convince all that are ungodly among them of all their ungodly deeds which they have ungodly committed, and of all their hard speeches which ungodly sinners have spoken against him.(KJV-1611) Jud 1:15 L'ap jije tout moun; l'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.(Creole-HT) ======= Jude 1:16 ============ Jud 1:16 These are murmurers, complainers, walking after their own lusts; and their mouth speaketh great swelling words, having men's persons in admiration because of advantage.(KJV-1611) Jud 1:16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:17 ============ Jud 1:17 But, beloved, remember ye the words which were spoken before of the apostles of our Lord Jesus Christ;(KJV-1611) Jud 1:17 Men, nou menm, zanmi m' yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.(Creole-HT) ======= Jude 1:18 ============ Jud 1:18 How that they told you there should be mockers in the last time, who should walk after their own ungodly lusts.(KJV-1611) Jud 1:18 Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.(Creole-HT) ======= Jude 1:19 ============ Jud 1:19 These be they who separate themselves, sensual, having not the Spirit.(KJV-1611) Jud 1:19 Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo.(Creole-HT) ======= Jude 1:20 ============ Jud 1:20 But ye, beloved, building up yourselves on your most holy faith, praying in the Holy Ghost,(KJV-1611) Jud 1:20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.(Creole-HT) ======= Jude 1:21 ============ Jud 1:21 Keep yourselves in the love of God, looking for the mercy of our Lord Jesus Christ unto eternal life.(KJV-1611) Jud 1:21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Segnè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.(Creole-HT) ======= Jude 1:22 ============ Jud 1:22 And of some have compassion, making a difference:(KJV-1611) Jud 1:22 Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou.(Creole-HT) ======= Jude 1:23 ============ Jud 1:23 And others save with fear, pulling them out of the fire; hating even the garment spotted by the flesh.(KJV-1611) Jud 1:23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.(Creole-HT) ======= Jude 1:24 ============ Jud 1:24 Now unto him that is able to keep you from falling, and to present you faultless before the presence of his glory with exceeding joy,(KJV-1611) Jud 1:24 Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.(Creole-HT) ======= Jude 1:25 ============ Jud 1:25 To the only wise God our Saviour, be glory and majesty, dominion and power, both now and ever. Amen.(KJV-1611) Jud 1:25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Revelation 1:1 ============ Rev 1:1 The Revelation of Jesus Christ, which God gave unto him, to shew unto his servants things which must shortly come to pass; and he sent and signified it by his angel unto his servant John:(KJV-1611) Rev 1:1 Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l' te fè sèvitè l' yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kot Jan, sèvitè l' la, pou fè l' konnen tout bagay sa yo.(Creole-HT) ======= Revelation 1:2 ============ Rev 1:2 Who bare record of the word of God, and of the testimony of Jesus Christ, and of all things that he saw.(KJV-1611) Rev 1:2 Se menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesaj ki soti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l' konnen an.(Creole-HT) ======= Revelation 1:3 ============ Rev 1:3 Blessed is he that readeth, and they that hear the words of this prophecy, and keep those things which are written therein: for the time is at hand.(KJV-1611) Rev 1:3 Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesaj sa a ki soti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.(Creole-HT) ======= Revelation 1:4 ============ Rev 1:4 John to the seven churches which are in Asia: Grace be unto you, and peace, from him which is, and which was, and which is to come; and from the seven Spirits which are before his throne;(KJV-1611) Rev 1:4 Se mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo. M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki soti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki soti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fotèy li a,(Creole-HT) ======= Revelation 1:5 ============ Rev 1:5 And from Jesus Christ, who is the faithful witness, and the first begotten of the dead, and the prince of the kings of the earth. Unto him that loved us, and washed us from our sins in his own blood,(KJV-1611) Rev 1:5 benediksyon ak kè poze ki soti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l' ye a, li menm premie pitit ki leve soti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè. Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l' te ka delivre nou anba peche nou yo.(Creole-HT) ======= Revelation 1:6 ============ Rev 1:6 And hath made us kings and priests unto God and his Father; to him be glory and dominion for ever and ever. Amen.(KJV-1611) Rev 1:6 Li fè nou tounen wa ak prèt pou n' sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Revelation 1:7 ============ Rev 1:7 Behold, he cometh with clouds; and every eye shall see him, and they also which pierced him: and all kindreds of the earth shall wail because of him. Even so, Amen.(KJV-1611) Rev 1:7 Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nwaj yo! Tout moun pral wè l', menm moun ki te pèse l' yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.(Creole-HT) ======= Revelation 1:8 ============ Rev 1:8 I am Alpha and Omega, the beginning and the ending, saith the Lord, which is, and which was, and which is to come, the Almighty.(KJV-1611) Rev 1:8 Mwen se konmansman, mwen se finisman tankou A ak Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ki di sa, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Revelation 1:9 ============ Rev 1:9 I John, who also am your brother, and companion in tribulation, and in the kingdom and patience of Jesus Christ, was in the isle that is called Patmos, for the word of God, and for the testimony of Jesus Christ.(KJV-1611) Rev 1:9 Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M'ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki wa a, kit se pasians Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon lil yo rele Patmòs pou prizon paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te moutre a.(Creole-HT) ======= Revelation 1:10 ============ Rev 1:10 I was in the Spirit on the Lord's day, and heard behind me a great voice, as of a trumpet,(KJV-1611) Rev 1:10 Yon jou dimanch, jou Mèt la menm, Lespri Bondye a pran m', mwen tande yon gwo vwa dèyè do m' ki sonnen tankou yon klewon.(Creole-HT) ======= Revelation 1:11 ============ Rev 1:11 Saying, I am Alpha and Omega, the first and the last: and, What thou seest, write in a book, and send it unto the seven churches which are in Asia; unto Ephesus, and unto Smyrna, and unto Pergamos, and unto Thyatira, and unto Sardis, and unto Philadelphia, and unto Laodicea.(KJV-1611) Rev 1:11 Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.(Creole-HT) ======= Revelation 1:12 ============ Rev 1:12 And I turned to see the voice that spake with me. And being turned, I saw seven golden candlesticks;(KJV-1611) Rev 1:12 M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe,(Creole-HT) ======= Revelation 1:13 ============ Rev 1:13 And in the midst of the seven candlesticks one like unto the Son of man, clothed with a garment down to the foot, and girt about the paps with a golden girdle.(KJV-1611) Rev 1:13 ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li.(Creole-HT) ======= Revelation 1:14 ============ Rev 1:14 His head and his hairs were white like wool, as white as snow; and his eyes were as a flame of fire;(KJV-1611) Rev 1:14 Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife.(Creole-HT) ======= Revelation 1:15 ============ Rev 1:15 And his feet like unto fine brass, as if they burned in a furnace; and his voice as the sound of many waters.(KJV-1611) Rev 1:15 Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz.(Creole-HT) ======= Revelation 1:16 ============ Rev 1:16 And he had in his right hand seven stars: and out of his mouth went a sharp twoedged sword: and his countenance was as the sun shineth in his strength.(KJV-1611) Rev 1:16 Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.(Creole-HT) ======= Revelation 1:17 ============ Rev 1:17 And when I saw him, I fell at his feet as dead. And he laid his right hand upon me, saying unto me, Fear not; I am the first and the last:(KJV-1611) Rev 1:17 Lè mwen wè l', mwen tonbe nan pie l' tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m' konsa: Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premie, se mwen ki dènye.(Creole-HT) ======= Revelation 1:18 ============ Rev 1:18 I am he that liveth, and was dead; and, behold, I am alive for evermore, Amen; and have the keys of hell and of death.(KJV-1611) Rev 1:18 Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.(Creole-HT) ======= Revelation 1:19 ============ Rev 1:19 Write the things which thou hast seen, and the things which are, and the things which shall be hereafter;(KJV-1611) Rev 1:19 Ekri tou sa ou wè a: ni sa k'ap pase koulye a, ni sa ki gen pou rive apre.(Creole-HT) ======= Revelation 1:20 ============ Rev 1:20 The mystery of the seven stars which thou sawest in my right hand, and the seven golden candlesticks. The seven stars are the angels of the seven churches: and the seven candlesticks which thou sawest are the seven churches.(KJV-1611) Rev 1:20 Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.(Creole-HT) ======= Revelation 2:1 ============ Rev 2:1 Unto the angel of the church of Ephesus write; These things saith he that holdeth the seven stars in his right hand, who walketh in the midst of the seven golden candlesticks;(KJV-1611) Rev 2:1 Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l' konsa: Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou:(Creole-HT) ======= Revelation 2:2 ============ Rev 2:2 I know thy works, and thy labour, and thy patience, and how thou canst not bear them which are evil: and thou hast tried them which say they are apostles, and are not, and hast found them liars:(KJV-1611) Rev 2:2 Mwen konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye.(Creole-HT) ======= Revelation 2:3 ============ Rev 2:3 And hast borne, and hast patience, and for my name's sake hast laboured, and hast not fainted.(KJV-1611) Rev 2:3 Ou gen anpil pasians, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje.(Creole-HT) ======= Revelation 2:4 ============ Rev 2:4 Nevertheless I have somewhat against thee, because thou hast left thy first love.(KJV-1611) Rev 2:4 Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: Koulye a ou pa renmen m' jan ou te renmen m' anvan an.(Creole-HT) ======= Revelation 2:5 ============ Rev 2:5 Remember therefore from whence thou art fallen, and repent, and do the first works; or else I will come unto thee quickly, and will remove thy candlestick out of his place, except thou repent.(KJV-1611) Rev 2:5 Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelie ou la nan plas kote l' ye a.(Creole-HT) ======= Revelation 2:6 ============ Rev 2:6 But this thou hast, that thou hatest the deeds of the Nicolaitanes, which I also hate.(KJV-1611) Rev 2:6 Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo.(Creole-HT) ======= Revelation 2:7 ============ Rev 2:7 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; To him that overcometh will I give to eat of the tree of life, which is in the midst of the paradise of God.(KJV-1611) Rev 2:7 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.(Creole-HT) ======= Revelation 2:8 ============ Rev 2:8 And unto the angel of the church in Smyrna write; These things saith the first and the last, which was dead, and is alive;(KJV-1611) Rev 2:8 Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l' konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l' voye di ou:(Creole-HT) ======= Revelation 2:9 ============ Rev 2:9 I know thy works, and tribulation, and poverty, (but thou art rich) and I know the blasphemy of them which say they are Jews, and are not, but are the synagogue of Satan.(KJV-1611) Rev 2:9 Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan.(Creole-HT) ======= Revelation 2:10 ============ Rev 2:10 Fear none of those things which thou shalt suffer: behold, the devil shall cast some of you into prison, that ye may be tried; and ye shall have tribulation ten days: be thou faithful unto death, and I will give thee a crown of life.(KJV-1611) Rev 2:10 Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n' mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.(Creole-HT) ======= Revelation 2:11 ============ Rev 2:11 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; He that overcometh shall not be hurt of the second death.(KJV-1611) Rev 2:11 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.(Creole-HT) ======= Revelation 2:12 ============ Rev 2:12 And to the angel of the church in Pergamos write; These things saith he which hath the sharp sword with two edges;(KJV-1611) Rev 2:12 Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l' konsa: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou:(Creole-HT) ======= Revelation 2:13 ============ Rev 2:13 I know thy works, and where thou dwellest, even where Satan's seat is: and thou holdest fast my name, and hast not denied my faith, even in those days wherein Antipas was my faithful martyr, who was slain among you, where Satan dwelleth.(KJV-1611) Rev 2:13 Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m', ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.(Creole-HT) ======= Revelation 2:14 ============ Rev 2:14 But I have a few things against thee, because thou hast there them that hold the doctrine of Balaam, who taught Balac to cast a stumblingblock before the children of Israel, to eat things sacrificed unto idols, and to commit fornication.(KJV-1611) Rev 2:14 Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite.(Creole-HT) ======= Revelation 2:15 ============ Rev 2:15 So hast thou also them that hold the doctrine of the Nicolaitanes, which thing I hate.(KJV-1611) Rev 2:15 Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo.(Creole-HT) ======= Revelation 2:16 ============ Rev 2:16 Repent; or else I will come unto thee quickly, and will fight against them with the sword of my mouth.(KJV-1611) Rev 2:16 Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap soti nan bouch mwen an.(Creole-HT) ======= Revelation 2:17 ============ Rev 2:17 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; To him that overcometh will I give to eat of the hidden manna, and will give him a white stone, and in the stone a new name written, which no man knoweth saving he that receiveth it.(KJV-1611) Rev 2:17 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.(Creole-HT) ======= Revelation 2:18 ============ Rev 2:18 And unto the angel of the church in Thyatira write; These things saith the Son of God, who hath his eyes like unto a flame of fire, and his feet are like fine brass;(KJV-1611) Rev 2:18 Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l' konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l' yo tankou de flanm dife, ak pie l' yo klere tankou kwiv poli.(Creole-HT) ======= Revelation 2:19 ============ Rev 2:19 I know thy works, and charity, and service, and faith, and thy patience, and thy works; and the last to be more than the first.(KJV-1611) Rev 2:19 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w'ap travay koulye a pi plis pase anvan.(Creole-HT) ======= Revelation 2:20 ============ Rev 2:20 Notwithstanding I have a few things against thee, because thou sufferest that woman Jezebel, which calleth herself a prophetess, to teach and to seduce my servants to commit fornication, and to eat things sacrificed unto idols.(KJV-1611) Rev 2:20 Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.(Creole-HT) ======= Revelation 2:21 ============ Rev 2:21 And I gave her space to repent of her fornication; and she repented not.(KJV-1611) Rev 2:21 Mwen ba l' kont tan pou l' vire kite peche l' yo. Men, li pa vle kite imoralite li a.(Creole-HT) ======= Revelation 2:22 ============ Rev 2:22 Behold, I will cast her into a bed, and them that commit adultery with her into great tribulation, except they repent of their deeds.(KJV-1611) Rev 2:22 Se poutèt sa, mwen pral lage l' jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k'ap fè adiltè avè l' yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y'ap plede fè ansanm avè l' yo.(Creole-HT) ======= Revelation 2:23 ============ Rev 2:23 And I will kill her children with death; and all the churches shall know that I am he which searcheth the reins and hearts: and I will give unto every one of you according to your works.(KJV-1611) Rev 2:23 Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.(Creole-HT) ======= Revelation 2:24 ============ Rev 2:24 But unto you I say, and unto the rest in Thyatira, as many as have not this doctrine, and which have not known the depths of Satan, as they speak; I will put upon you none other burden.(KJV-1611) Rev 2:24 Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t' aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa.(Creole-HT) ======= Revelation 2:25 ============ Rev 2:25 But that which ye have already hold fast till I come.(KJV-1611) Rev 2:25 Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen.(Creole-HT) ======= Revelation 2:26 ============ Rev 2:26 And he that overcometh, and keepeth my works unto the end, to him will I give power over the nations:(KJV-1611) Rev 2:26 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon,(Creole-HT) ======= Revelation 2:27 ============ Rev 2:27 And he shall rule them with a rod of iron; as the vessels of a potter shall they be broken to shivers: even as I received of my Father.(KJV-1611) Rev 2:27 menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.(Creole-HT) ======= Revelation 2:28 ============ Rev 2:28 And I will give him the morning star.(KJV-1611) Rev 2:28 M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou.(Creole-HT) ======= Revelation 2:29 ============ Rev 2:29 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches.(KJV-1611) Rev 2:29 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.(Creole-HT) ======= Revelation 3:1 ============ Rev 3:1 And unto the angel of the church in Sardis write; These things saith he that hath the seven Spirits of God, and the seven stars; I know thy works, that thou hast a name that thou livest, and art dead.(KJV-1611) Rev 3:1 Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri.(Creole-HT) ======= Revelation 3:2 ============ Rev 3:2 Be watchful, and strengthen the things which remain, that are ready to die: for I have not found thy works perfect before God.(KJV-1611) Rev 3:2 Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an.(Creole-HT) ======= Revelation 3:3 ============ Rev 3:3 Remember therefore how thou hast received and heard, and hold fast, and repent. If therefore thou shalt not watch, I will come on thee as a thief, and thou shalt not know what hour I will come upon thee.(KJV-1611) Rev 3:3 Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l', tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann.(Creole-HT) ======= Revelation 3:4 ============ Rev 3:4 Thou hast a few names even in Sardis which have not defiled their garments; and they shall walk with me in white: for they are worthy.(KJV-1611) Rev 3:4 Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m' ak rad blan yo, paske yo merite sa.(Creole-HT) ======= Revelation 3:5 ============ Rev 3:5 He that overcometh, the same shall be clothed in white raiment; and I will not blot out his name out of the book of life, but I will confess his name before my Father, and before his angels.(KJV-1611) Rev 3:5 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.(Creole-HT) ======= Revelation 3:6 ============ Rev 3:6 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches.(KJV-1611) Rev 3:6 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.(Creole-HT) ======= Revelation 3:7 ============ Rev 3:7 And to the angel of the church in Philadelphia write; These things saith he that is holy, he that is true, he that hath the key of David, he that openeth, and no man shutteth; and shutteth, and no man openeth;(KJV-1611) Rev 3:7 Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l' konsa: Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l' lan, moun ki lè li louvri pesonn pa ka fèmen, lè l' fèmen pesonn pa ka louvri a, men sa l' voye di ou:(Creole-HT) ======= Revelation 3:8 ============ Rev 3:8 I know thy works: behold, I have set before thee an open door, and no man can shut it: for thou hast a little strength, and hast kept my word, and hast not denied my name.(KJV-1611) Rev 3:8 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouraj. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pesonn p'ap ka fèmen li.(Creole-HT) ======= Revelation 3:9 ============ Rev 3:9 Behold, I will make them of the synagogue of Satan, which say they are Jews, and are not, but do lie; behold, I will make them to come and worship before thy feet, and to know that I have loved thee.(KJV-1611) Rev 3:9 Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.(Creole-HT) ======= Revelation 3:10 ============ Rev 3:10 Because thou hast kept the word of my patience, I also will keep thee from the hour of temptation, which shall come upon all the world, to try them that dwell upon the earth.(KJV-1611) Rev 3:10 Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 3:11 ============ Rev 3:11 Behold, I come quickly: hold that fast which thou hast, that no man take thy crown.(KJV-1611) Rev 3:11 Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou.(Creole-HT) ======= Revelation 3:12 ============ Rev 3:12 Him that overcometh will I make a pillar in the temple of my God, and he shall go no more out: and I will write upon him the name of my God, and the name of the city of my God, which is new Jerusalem, which cometh down out of heaven from my God: and I will write upon him my new name.(KJV-1611) Rev 3:12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.(Creole-HT) ======= Revelation 3:13 ============ Rev 3:13 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches.(KJV-1611) Rev 3:13 Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.(Creole-HT) ======= Revelation 3:14 ============ Rev 3:14 And unto the angel of the church of the Laodiceans write; These things saith the Amen, the faithful and true witness, the beginning of the creation of God;(KJV-1611) Rev 3:14 Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou:(Creole-HT) ======= Revelation 3:15 ============ Rev 3:15 I know thy works, that thou art neither cold nor hot: I would thou wert cold or hot.(KJV-1611) Rev 3:15 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.(Creole-HT) ======= Revelation 3:16 ============ Rev 3:16 So then because thou art lukewarm, and neither cold nor hot, I will spue thee out of my mouth.(KJV-1611) Rev 3:16 Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen.(Creole-HT) ======= Revelation 3:17 ============ Rev 3:17 Because thou sayest, I am rich, and increased with goods, and have need of nothing; and knowest not that thou art wretched, and miserable, and poor, and blind, and naked:(KJV-1611) Rev 3:17 W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!(Creole-HT) ======= Revelation 3:18 ============ Rev 3:18 I counsel thee to buy of me gold tried in the fire, that thou mayest be rich; and white raiment, that thou mayest be clothed, and that the shame of thy nakedness do not appear; and anoint thine eyes with eyesalve, that thou mayest see.(KJV-1611) Rev 3:18 Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.(Creole-HT) ======= Revelation 3:19 ============ Rev 3:19 As many as I love, I rebuke and chasten: be zealous therefore, and repent.(KJV-1611) Rev 3:19 Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 3:20 ============ Rev 3:20 Behold, I stand at the door, and knock: if any man hear my voice, and open the door, I will come in to him, and will sup with him, and he with me.(KJV-1611) Rev 3:20 Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.(Creole-HT) ======= Revelation 3:21 ============ Rev 3:21 To him that overcometh will I grant to sit with me in my throne, even as I also overcame, and am set down with my Father in his throne.(KJV-1611) Rev 3:21 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.(Creole-HT) ======= Revelation 3:22 ============ Rev 3:22 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches.(KJV-1611) Rev 3:22 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.(Creole-HT) ======= Revelation 4:1 ============ Rev 4:1 After this I looked, and, behold, a door was opened in heaven: and the first voice which I heard was as it were of a trumpet talking with me; which said, Come up hither, and I will shew thee things which must be hereafter.(KJV-1611) Rev 4:1 Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen wè yon pòt louvri nan sièl la. Vwa ki t'ap sonnen nan zòrèy mwen tankou yon klewon an, menm vwa ki t'ap pale avè m' anvan an, di m' konsa: Moute bò isit, m'a fè ou wè sa ki gen pou rive apre sa.(Creole-HT) ======= Revelation 4:2 ============ Rev 4:2 And immediately I was in the spirit: and, behold, a throne was set in heaven, and one sat on the throne.(KJV-1611) Rev 4:2 Lamenm, Lespri Bondye a fè m' fè yon vizyon, mwen wè yon fòtèy nan sièl la ak yon moun chita sou li.(Creole-HT) ======= Revelation 4:3 ============ Rev 4:3 And he that sat was to look upon like a jasper and a sardine stone: and there was a rainbow round about the throne, in sight like unto an emerald.(KJV-1611) Rev 4:3 Figi moun lan te klere tankou piè bijou yo rele jasp la ak sa yo rele sadwan lan. Fòtèy la menm te nan mitan yon gwo lakansièl ki te klere tankou yon piè emwòd.(Creole-HT) ======= Revelation 4:4 ============ Rev 4:4 And round about the throne were four and twenty seats: and upon the seats I saw four and twenty elders sitting, clothed in white raiment; and they had on their heads crowns of gold.(KJV-1611) Rev 4:4 Tout arebò fòtèy la te gen vennkat lòt fòtèy ak vennkat granmoun chita sou yo. Granmoun yo te gen rad tout blan sou yo, ak yon kouwòn an lò sou tèt yo chak.(Creole-HT) ======= Revelation 4:5 ============ Rev 4:5 And out of the throne proceeded lightnings and thunderings and voices: and there were seven lamps of fire burning before the throne, which are the seven Spirits of God.(KJV-1611) Rev 4:5 Kout zèklè t'ap pati soti nan fòtèy la ansanm ak mizik ak kout loraj. Te gen sèt flanbo limen ki t'ap boule devan fòtèy la; se sèt Lespri Bondye yo.(Creole-HT) ======= Revelation 4:6 ============ Rev 4:6 And before the throne there was a sea of glass like unto crystal: and in the midst of the throne, and round about the throne, were four beasts full of eyes before and behind.(KJV-1611) Rev 4:6 Devan fòtèy la tou te gen yon bagay ki te sanble yon lanmè an glas ki klere kou kristal. Toupre fòtèy la, te gen kat bèt vivan kanpe yonn nan chak direksyon. Yo te gen anpil je devan kou dèyè.(Creole-HT) ======= Revelation 4:7 ============ Rev 4:7 And the first beast was like a lion, and the second beast like a calf, and the third beast had a face as a man, and the fourth beast was like a flying eagle.(KJV-1611) Rev 4:7 Premie a te sanble ak yon lyon. Dezyèm lan te sanble ak yon jenn ti towo bèf. Twazièm lan te gen yon figi ki te sanble ak figi moun. Katriyèm lan te sanble ak yon gwo malfini k'ap vole.(Creole-HT) ======= Revelation 4:8 ============ Rev 4:8 And the four beasts had each of them six wings about him; and they were full of eyes within: and they rest not day and night, saying, Holy, holy, holy, LORD God Almighty, which was, and is, and is to come.(KJV-1611) Rev 4:8 Yo chak yo te gen sis zèl. Tout kò yo se te je andedan kou deyò. Lajounen kou lannwit y'ap chante san rete: Wi, li sen, li sen, li sen vre, Bondye sèl Mèt ki gen tout pouvwa a, Li menm ki te la, ki la koulye a, ki gen pou vini an.(Creole-HT) ======= Revelation 4:9 ============ Rev 4:9 And when those beasts give glory and honour and thanks to him that sat on the throne, who liveth for ever and ever,(KJV-1611) Rev 4:9 Kat bèt vivan yo t'ap chante pou fè lwanj moun ki chita sou fòtèy la, pou rann li onè, pou di l' mèsi, li menm ki vivan pou tout tan an. Chak fwa yo pran chante,(Creole-HT) ======= Revelation 4:10 ============ Rev 4:10 The four and twenty elders fall down before him that sat on the throne, and worship him that liveth for ever and ever, and cast their crowns before the throne, saying,(KJV-1611) Rev 4:10 vennkat granmoun yo tonbe ajenou fas atè devan moun ki chita sou fòtèy la, yo adore moun ki vivan pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan fòtèy la. Yo di:(Creole-HT) ======= Revelation 4:11 ============ Rev 4:11 Thou art worthy, O Lord, to receive glory and honour and power: for thou hast created all things, and for thy pleasure they are and were created.(KJV-1611) Rev 4:11 O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.(Creole-HT) ======= Revelation 5:1 ============ Rev 5:1 And I saw in the right hand of him that sat on the throne a book written within and on the backside, sealed with seven seals.(KJV-1611) Rev 5:1 Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papie, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote.(Creole-HT) ======= Revelation 5:2 ============ Rev 5:2 And I saw a strong angel proclaiming with a loud voice, Who is worthy to open the book, and to loose the seals thereof?(KJV-1611) Rev 5:2 Mwen wè yon zanj ki gen anpil fòs ki t'ap pale byen fò. Li t'ap di: Ki moun ki ka kase sele yo pou louvri liv la?(Creole-HT) ======= Revelation 5:3 ============ Rev 5:3 And no man in heaven, nor in earth, neither under the earth, was able to open the book, neither to look thereon.(KJV-1611) Rev 5:3 Men, pa t' gen pesonn ni nan sièl la, ni sou tè a, ni anba tè a ki te kapab louvri liv la pou wè sa ki te ladan li.(Creole-HT) ======= Revelation 5:4 ============ Rev 5:4 And I wept much, because no man was found worthy to open and to read the book, neither to look thereon.(KJV-1611) Rev 5:4 Mwen t'ap kriye anpil, paske pa t' gen pesonn ki te kapab louvri liv la pou gade sa ki te ladan li.(Creole-HT) ======= Revelation 5:5 ============ Rev 5:5 And one of the elders saith unto me, Weep not: behold, the Lion of the tribe of Juda, the Root of David, hath prevailed to open the book, and to loose the seven seals thereof.(KJV-1611) Rev 5:5 Lè sa a, yonn nan granmoun yo di mwen konsa: Pa kriye. Gade. Men lyon ki soti nan fanmi Jida a, pitit pitit David la, ki te genyen batay la. Li ka kase sèt sele yo pou louvri liv la.(Creole-HT) ======= Revelation 5:6 ============ Rev 5:6 And I beheld, and, lo, in the midst of the throne and of the four beasts, and in the midst of the elders, stood a Lamb as it had been slain, having seven horns and seven eyes, which are the seven Spirits of God sent forth into all the earth.(KJV-1611) Rev 5:6 Mwen wè yon ti Mouton kanpe nan mitan fòtèy la, nan mitan kat bèt vivan yo ak granmoun yo. Ti Mouton an te tankou yon mouton yo te touye deja. Li te gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li: se te sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 5:7 ============ Rev 5:7 And he came and took the book out of the right hand of him that sat upon the throne.(KJV-1611) Rev 5:7 Ti Mouton an pwoche, li pran liv la nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la.(Creole-HT) ======= Revelation 5:8 ============ Rev 5:8 And when he had taken the book, the four beasts and four and twenty elders fell down before the Lamb, having every one of them harps, and golden vials full of odours, which are the prayers of saints.(KJV-1611) Rev 5:8 Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.(Creole-HT) ======= Revelation 5:9 ============ Rev 5:9 And they sung a new song, saying, Thou art worthy to take the book, and to open the seals thereof: for thou wast slain, and hast redeemed us to God by thy blood out of every kindred, and tongue, and people, and nation;(KJV-1611) Rev 5:9 Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.(Creole-HT) ======= Revelation 5:10 ============ Rev 5:10 And hast made us unto our God kings and priests: and we shall reign on the earth.(KJV-1611) Rev 5:10 Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a.(Creole-HT) ======= Revelation 5:11 ============ Rev 5:11 And I beheld, and I heard the voice of many angels round about the throne and the beasts and the elders: and the number of them was ten thousand times ten thousand, and thousands of thousands;(KJV-1611) Rev 5:11 Mwen gade ankò, mwen tande vwa yon bann zanj: Yo te tèlman anpil, moun pa t' kapab konte yo. Yo te kanpe fè wonn kote fòtèy la te ye a ansanm ak bèt vivan yo ak granmoun yo.(Creole-HT) ======= Revelation 5:12 ============ Rev 5:12 Saying with a loud voice, Worthy is the Lamb that was slain to receive power, and riches, and wisdom, and strength, and honour, and glory, and blessing.(KJV-1611) Rev 5:12 Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj.(Creole-HT) ======= Revelation 5:13 ============ Rev 5:13 And every creature which is in heaven, and on the earth, and under the earth, and such as are in the sea, and all that are in them, heard I saying, Blessing, and honour, and glory, and power, be unto him that sitteth upon the throne, and unto the Lamb for ever and ever.(KJV-1611) Rev 5:13 Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.(Creole-HT) ======= Revelation 5:14 ============ Rev 5:14 And the four beasts said, Amen. And the four and twenty elders fell down and worshipped him that liveth for ever and ever.(KJV-1611) Rev 5:14 Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.(Creole-HT) ======= Revelation 6:1 ============ Rev 6:1 And I saw when the Lamb opened one of the seals, and I heard, as it were the noise of thunder, one of the four beasts saying, Come and see.(KJV-1611) Rev 6:1 Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non!(Creole-HT) ======= Revelation 6:2 ============ Rev 6:2 And I saw, and behold a white horse: and he that sat on him had a bow; and a crown was given unto him: and he went forth conquering, and to conquer.(KJV-1611) Rev 6:2 Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l' la te kenbe yon banza nan men l'. Yo ba l' yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki soti pou l' genyen ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 6:3 ============ Rev 6:3 And when he had opened the second seal, I heard the second beast say, Come and see.(KJV-1611) Rev 6:3 Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!(Creole-HT) ======= Revelation 6:4 ============ Rev 6:4 And there went out another horse that was red: and power was given to him that sat thereon to take peace from the earth, and that they should kill one another: and there was given unto him a great sword.(KJV-1611) Rev 6:4 Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li.(Creole-HT) ======= Revelation 6:5 ============ Rev 6:5 And when he had opened the third seal, I heard the third beast say, Come and see. And I beheld, and lo a black horse; and he that sat on him had a pair of balances in his hand.(KJV-1611) Rev 6:5 Apre sa, ti Mouton an kase twazièm sele a. Mwen tande twazièm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l' la te kenbe yon balans nan men li.(Creole-HT) ======= Revelation 6:6 ============ Rev 6:6 And I heard a voice in the midst of the four beasts say, A measure of wheat for a penny, and three measures of barley for a penny; and see thou hurt not the oil and the wine.(KJV-1611) Rev 6:6 Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an.(Creole-HT) ======= Revelation 6:7 ============ Rev 6:7 And when he had opened the fourth seal, I heard the voice of the fourth beast say, Come and see.(KJV-1611) Rev 6:7 Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non!(Creole-HT) ======= Revelation 6:8 ============ Rev 6:8 And I looked, and behold a pale horse: and his name that sat on him was Death, and Hell followed with him. And power was given unto them over the fourth part of the earth, to kill with sword, and with hunger, and with death, and with the beasts of the earth.(KJV-1611) Rev 6:8 Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 6:9 ============ Rev 6:9 And when he had opened the fifth seal, I saw under the altar the souls of them that were slain for the word of God, and for the testimony which they held:(KJV-1611) Rev 6:9 Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a.(Creole-HT) ======= Revelation 6:10 ============ Rev 6:10 And they cried with a loud voice, saying, How long, O Lord, holy and true, dost thou not judge and avenge our blood on them that dwell on the earth?(KJV-1611) Rev 6:10 Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?(Creole-HT) ======= Revelation 6:11 ============ Rev 6:11 And white robes were given unto every one of them; and it was said unto them, that they should rest yet for a little season, until their fellowservants also and their brethren, that should be killed as they were, should be fulfilled.(KJV-1611) Rev 6:11 Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont.(Creole-HT) ======= Revelation 6:12 ============ Rev 6:12 And I beheld when he had opened the sixth seal, and, lo, there was a great earthquake; and the sun became black as sackcloth of hair, and the moon became as blood;(KJV-1611) Rev 6:12 Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san.(Creole-HT) ======= Revelation 6:13 ============ Rev 6:13 And the stars of heaven fell unto the earth, even as a fig tree casteth her untimely figs, when she is shaken of a mighty wind.(KJV-1611) Rev 6:13 Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la.(Creole-HT) ======= Revelation 6:14 ============ Rev 6:14 And the heaven departed as a scroll when it is rolled together; and every mountain and island were moved out of their places.(KJV-1611) Rev 6:14 Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.(Creole-HT) ======= Revelation 6:15 ============ Rev 6:15 And the kings of the earth, and the great men, and the rich men, and the chief captains, and the mighty men, and every bondman, and every free man, hid themselves in the dens and in the rocks of the mountains;(KJV-1611) Rev 6:15 Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo.(Creole-HT) ======= Revelation 6:16 ============ Rev 6:16 And said to the mountains and rocks, Fall on us, and hide us from the face of him that sitteth on the throne, and from the wrath of the Lamb:(KJV-1611) Rev 6:16 Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.(Creole-HT) ======= Revelation 6:17 ============ Rev 6:17 For the great day of his wrath is come; and who shall be able to stand?(KJV-1611) Rev 6:17 Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?(Creole-HT) ======= Revelation 7:1 ============ Rev 7:1 And after these things I saw four angels standing on the four corners of the earth, holding the four winds of the earth, that the wind should not blow on the earth, nor on the sea, nor on any tree.(KJV-1611) Rev 7:1 Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn piebwa.(Creole-HT) ======= Revelation 7:2 ============ Rev 7:2 And I saw another angel ascending from the east, having the seal of the living God: and he cried with a loud voice to the four angels, to whom it was given to hurt the earth and the sea,(KJV-1611) Rev 7:2 Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo:(Creole-HT) ======= Revelation 7:3 ============ Rev 7:3 Saying, Hurt not the earth, neither the sea, nor the trees, till we have sealed the servants of our God in their foreheads.(KJV-1611) Rev 7:3 Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 7:4 ============ Rev 7:4 And I heard the number of them which were sealed: and there were sealed an hundred and forty and four thousand of all the tribes of the children of Israel.(KJV-1611) Rev 7:4 Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil nan tout branch ras pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Revelation 7:5 ============ Rev 7:5 Of the tribe of Juda were sealed twelve thousand. Of the tribe of Reuben were sealed twelve thousand. Of the tribe of Gad were sealed twelve thousand.(KJV-1611) Rev 7:5 Te gen douzmil nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la,(Creole-HT) ======= Revelation 7:6 ============ Rev 7:6 Of the tribe of Aser were sealed twelve thousand. Of the tribe of Nephthalim were sealed twelve thousand. Of the tribe of Manasses were sealed twelve thousand.(KJV-1611) Rev 7:6 douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a,(Creole-HT) ======= Revelation 7:7 ============ Rev 7:7 Of the tribe of Simeon were sealed twelve thousand. Of the tribe of Levi were sealed twelve thousand. Of the tribe of Issachar were sealed twelve thousand.(KJV-1611) Rev 7:7 douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a,(Creole-HT) ======= Revelation 7:8 ============ Rev 7:8 Of the tribe of Zabulon were sealed twelve thousand. Of the tribe of Joseph were sealed twelve thousand. Of the tribe of Benjamin were sealed twelve thousand.(KJV-1611) Rev 7:8 douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an.(Creole-HT) ======= Revelation 7:9 ============ Rev 7:9 After this I beheld, and, lo, a great multitude, which no man could number, of all nations, and kindreds, and people, and tongues, stood before the throne, and before the Lamb, clothed with white robes, and palms in their hands;(KJV-1611) Rev 7:9 Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo.(Creole-HT) ======= Revelation 7:10 ============ Rev 7:10 And cried with a loud voice, saying, Salvation to our God which sitteth upon the throne, and unto the Lamb.(KJV-1611) Rev 7:10 Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou.(Creole-HT) ======= Revelation 7:11 ============ Rev 7:11 And all the angels stood round about the throne, and about the elders and the four beasts, and fell before the throne on their faces, and worshipped God,(KJV-1611) Rev 7:11 Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye,(Creole-HT) ======= Revelation 7:12 ============ Rev 7:12 Saying, Amen: Blessing, and glory, and wisdom, and thanksgiving, and honour, and power, and might, be unto our God for ever and ever. Amen.(KJV-1611) Rev 7:12 yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.(Creole-HT) ======= Revelation 7:13 ============ Rev 7:13 And one of the elders answered, saying unto me, What are these which are arrayed in white robes? and whence came they?(KJV-1611) Rev 7:13 Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti?(Creole-HT) ======= Revelation 7:14 ============ Rev 7:14 And I said unto him, Sir, thou knowest. And he said to me, These are they which came out of great tribulation, and have washed their robes, and made them white in the blood of the Lamb.(KJV-1611) Rev 7:14 Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.(Creole-HT) ======= Revelation 7:15 ============ Rev 7:15 Therefore are they before the throne of God, and serve him day and night in his temple: and he that sitteth on the throne shall dwell among them.(KJV-1611) Rev 7:15 Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.(Creole-HT) ======= Revelation 7:16 ============ Rev 7:16 They shall hunger no more, neither thirst any more; neither shall the sun light on them, nor any heat.(KJV-1611) Rev 7:16 Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo.(Creole-HT) ======= Revelation 7:17 ============ Rev 7:17 For the Lamb which is in the midst of the throne shall feed them, and shall lead them unto living fountains of waters: and God shall wipe away all tears from their eyes.(KJV-1611) Rev 7:17 Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.(Creole-HT) ======= Revelation 8:1 ============ Rev 8:1 And when he had opened the seventh seal, there was silence in heaven about the space of half an hour.(KJV-1611) Rev 8:1 Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la.(Creole-HT) ======= Revelation 8:2 ============ Rev 8:2 And I saw the seven angels which stood before God; and to them were given seven trumpets.(KJV-1611) Rev 8:2 Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.(Creole-HT) ======= Revelation 8:3 ============ Rev 8:3 And another angel came and stood at the altar, having a golden censer; and there was given unto him much incense, that he should offer it with the prayers of all saints upon the golden altar which was before the throne.(KJV-1611) Rev 8:3 Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.(Creole-HT) ======= Revelation 8:4 ============ Rev 8:4 And the smoke of the incense, which came with the prayers of the saints, ascended up before God out of the angel's hand.(KJV-1611) Rev 8:4 Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a.(Creole-HT) ======= Revelation 8:5 ============ Rev 8:5 And the angel took the censer, and filled it with fire of the altar, and cast it into the earth: and there were voices, and thunderings, and lightnings, and an earthquake.(KJV-1611) Rev 8:5 Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.(Creole-HT) ======= Revelation 8:6 ============ Rev 8:6 And the seven angels which had the seven trumpets prepared themselves to sound.(KJV-1611) Rev 8:6 Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.(Creole-HT) ======= Revelation 8:7 ============ Rev 8:7 The first angel sounded, and there followed hail and fire mingled with blood, and they were cast upon the earth: and the third part of trees was burnt up, and all green grass was burnt up.(KJV-1611) Rev 8:7 Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.(Creole-HT) ======= Revelation 8:8 ============ Rev 8:8 And the second angel sounded, and as it were a great mountain burning with fire was cast into the sea: and the third part of the sea became blood;(KJV-1611) Rev 8:8 Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè dlo lanmè a tounen san.(Creole-HT) ======= Revelation 8:9 ============ Rev 8:9 And the third part of the creatures which were in the sea, and had life, died; and the third part of the ships were destroyed.(KJV-1611) Rev 8:9 Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.(Creole-HT) ======= Revelation 8:10 ============ Rev 8:10 And the third angel sounded, and there fell a great star from heaven, burning as it were a lamp, and it fell upon the third part of the rivers, and upon the fountains of waters;(KJV-1611) Rev 8:10 Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.(Creole-HT) ======= Revelation 8:11 ============ Rev 8:11 And the name of the star is called Wormwood: and the third part of the waters became wormwood; and many men died of the waters, because they were made bitter.(KJV-1611) Rev 8:11 Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.(Creole-HT) ======= Revelation 8:12 ============ Rev 8:12 And the fourth angel sounded, and the third part of the sun was smitten, and the third part of the moon, and the third part of the stars; so as the third part of them was darkened, and the day shone not for a third part of it, and the night likewise.(KJV-1611) Rev 8:12 Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.(Creole-HT) ======= Revelation 8:13 ============ Rev 8:13 And I beheld, and heard an angel flying through the midst of heaven, saying with a loud voice, Woe, woe, woe, to the inhabiters of the earth by reason of the other voices of the trumpet of the three angels, which are yet to sound!(KJV-1611) Rev 8:13 Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.(Creole-HT) ======= Revelation 9:1 ============ Rev 9:1 And the fifth angel sounded, and I saw a star fall from heaven unto the earth: and to him was given the key of the bottomless pit.(KJV-1611) Rev 9:1 Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an.(Creole-HT) ======= Revelation 9:2 ============ Rev 9:2 And he opened the bottomless pit; and there arose a smoke out of the pit, as the smoke of a great furnace; and the sun and the air were darkened by reason of the smoke of the pit.(KJV-1611) Rev 9:2 Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.(Creole-HT) ======= Revelation 9:3 ============ Rev 9:3 And there came out of the smoke locusts upon the earth: and unto them was given power, as the scorpions of the earth have power.(KJV-1611) Rev 9:3 Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon.(Creole-HT) ======= Revelation 9:4 ============ Rev 9:4 And it was commanded them that they should not hurt the grass of the earth, neither any green thing, neither any tree; but only those men which have not the seal of God in their foreheads.(KJV-1611) Rev 9:4 Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 9:5 ============ Rev 9:5 And to them it was given that they should not kill them, but that they should be tormented five months: and their torment was as the torment of a scorpion, when he striketh a man.(KJV-1611) Rev 9:5 Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo.(Creole-HT) ======= Revelation 9:6 ============ Rev 9:6 And in those days shall men seek death, and shall not find it; and shall desire to die, and death shall flee from them.(KJV-1611) Rev 9:6 Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.(Creole-HT) ======= Revelation 9:7 ============ Rev 9:7 And the shapes of the locusts were like unto horses prepared unto battle; and on their heads were as it were crowns like gold, and their faces were as the faces of men.(KJV-1611) Rev 9:7 Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun.(Creole-HT) ======= Revelation 9:8 ============ Rev 9:8 And they had hair as the hair of women, and their teeth were as the teeth of lions.(KJV-1611) Rev 9:8 Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon.(Creole-HT) ======= Revelation 9:9 ============ Rev 9:9 And they had breastplates, as it were breastplates of iron; and the sound of their wings was as the sound of chariots of many horses running to battle.(KJV-1611) Rev 9:9 Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.(Creole-HT) ======= Revelation 9:10 ============ Rev 9:10 And they had tails like unto scorpions, and there were stings in their tails: and their power was to hurt men five months.(KJV-1611) Rev 9:10 Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa.(Creole-HT) ======= Revelation 9:11 ============ Rev 9:11 And they had a king over them, which is the angel of the bottomless pit, whose name in the Hebrew tongue is Abaddon, but in the Greek tongue hath his name Apollyon.(KJV-1611) Rev 9:11 Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.(Creole-HT) ======= Revelation 9:12 ============ Rev 9:12 One woe is past; and, behold, there come two woes more hereafter.(KJV-1611) Rev 9:12 Premie malè a te pase. Te gen de lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa.(Creole-HT) ======= Revelation 9:13 ============ Rev 9:13 And the sixth angel sounded, and I heard a voice from the four horns of the golden altar which is before God,(KJV-1611) Rev 9:13 Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a.(Creole-HT) ======= Revelation 9:14 ============ Rev 9:14 Saying to the sixth angel which had the trumpet, Loose the four angels which are bound in the great river Euphrates.(KJV-1611) Rev 9:14 Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la.(Creole-HT) ======= Revelation 9:15 ============ Rev 9:15 And the four angels were loosed, which were prepared for an hour, and a day, and a month, and a year, for to slay the third part of men.(KJV-1611) Rev 9:15 Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 9:16 ============ Rev 9:16 And the number of the army of the horsemen were two hundred thousand thousand: and I heard the number of them.(KJV-1611) Rev 9:16 Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon .(Creole-HT) ======= Revelation 9:17 ============ Rev 9:17 And thus I saw the horses in the vision, and them that sat on them, having breastplates of fire, and of jacinth, and brimstone: and the heads of the horses were as the heads of lions; and out of their mouths issued fire and smoke and brimstone.(KJV-1611) Rev 9:17 Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo.(Creole-HT) ======= Revelation 9:18 ============ Rev 9:18 By these three was the third part of men killed, by the fire, and by the smoke, and by the brimstone, which issued out of their mouths.(KJV-1611) Rev 9:18 Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 9:19 ============ Rev 9:19 For their power is in their mouth, and in their tails: for their tails were like unto serpents, and had heads, and with them they do hurt.(KJV-1611) Rev 9:19 Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste.(Creole-HT) ======= Revelation 9:20 ============ Rev 9:20 And the rest of the men which were not killed by these plagues yet repented not of the works of their hands, that they should not worship devils, and idols of gold, and silver, and brass, and stone, and of wood: which neither can see, nor hear, nor walk:(KJV-1611) Rev 9:20 Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.(Creole-HT) ======= Revelation 9:21 ============ Rev 9:21 Neither repented they of their murders, nor of their sorceries, nor of their fornication, nor of their thefts.(KJV-1611) Rev 9:21 Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.(Creole-HT) ======= Revelation 10:1 ============ Rev 10:1 And I saw another mighty angel come down from heaven, clothed with a cloud: and a rainbow was upon his head, and his face was as it were the sun, and his feet as pillars of fire:(KJV-1611) Rev 10:1 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l' te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.(Creole-HT) ======= Revelation 10:2 ============ Rev 10:2 And he had in his hand a little book open: and he set his right foot upon the sea, and his left foot on the earth,(KJV-1611) Rev 10:2 Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.(Creole-HT) ======= Revelation 10:3 ============ Rev 10:3 And cried with a loud voice, as when a lion roareth: and when he had cried, seven thunders uttered their voices.(KJV-1611) Rev 10:3 Li pran rele byen fò tankou yon lyon k'ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.(Creole-HT) ======= Revelation 10:4 ============ Rev 10:4 And when the seven thunders had uttered their voices, I was about to write: and I heard a voice from heaven saying unto me, Seal up those things which the seven thunders uttered, and write them not.(KJV-1611) Rev 10:4 Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m' tande yon vwa nan sièl la ki di m' konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.(Creole-HT) ======= Revelation 10:5 ============ Rev 10:5 And the angel which I saw stand upon the sea and upon the earth lifted up his hand to heaven,(KJV-1611) Rev 10:5 Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl.(Creole-HT) ======= Revelation 10:6 ============ Rev 10:6 And sware by him that liveth for ever and ever, who created heaven, and the things that therein are, and the earth, and the things that therein are, and the sea, and the things which are therein, that there should be time no longer:(KJV-1611) Rev 10:6 Li fè sèman sou non Bondye k'ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l', tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p'ap bay dèle ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 10:7 ============ Rev 10:7 But in the days of the voice of the seventh angel, when he shall begin to sound, the mystery of God should be finished, as he hath declared to his servants the prophets.(KJV-1611) Rev 10:7 Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l' lan, Bondye pral fè sa li gen pou l' fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l' te fè pwofèt ki t'ap sèvi l' yo konn sa.(Creole-HT) ======= Revelation 10:8 ============ Rev 10:8 And the voice which I heard from heaven spake unto me again, and said, Go and take the little book which is open in the hand of the angel which standeth upon the sea and upon the earth.(KJV-1611) Rev 10:8 Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m' ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.(Creole-HT) ======= Revelation 10:9 ============ Rev 10:9 And I went unto the angel, and said unto him, Give me the little book. And he said unto me, Take it, and eat it up; and it shall make thy belly bitter, but it shall be in thy mouth sweet as honey.(KJV-1611) Rev 10:9 Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l' pou l' ban m' ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l', manje li. L'ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l'ap dous tankou siwo myèl.(Creole-HT) ======= Revelation 10:10 ============ Rev 10:10 And I took the little book out of the angel's hand, and ate it up; and it was in my mouth sweet as honey: and as soon as I had eaten it, my belly was bitter.(KJV-1611) Rev 10:10 Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l', li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m' vale l', li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen.(Creole-HT) ======= Revelation 10:11 ============ Rev 10:11 And he said unto me, Thou must prophesy again before many peoples, and nations, and tongues, and kings.(KJV-1611) Rev 10:11 Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.(Creole-HT) ======= Revelation 11:1 ============ Rev 11:1 And there was given me a reed like unto a rod: and the angel stood, saying, Rise, and measure the temple of God, and the altar, and them that worship therein.(KJV-1611) Rev 11:1 Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan.(Creole-HT) ======= Revelation 11:2 ============ Rev 11:2 But the court which is without the temple leave out, and measure it not; for it is given unto the Gentiles: and the holy city shall they tread under foot forty and two months.(KJV-1611) Rev 11:2 Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.(Creole-HT) ======= Revelation 11:3 ============ Rev 11:3 And I will give power unto my two witnesses, and they shall prophesy a thousand two hundred and threescore days, clothed in sackcloth.(KJV-1611) Rev 11:3 M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant jou.(Creole-HT) ======= Revelation 11:4 ============ Rev 11:4 These are the two olive trees, and the two candlesticks standing before the God of the earth.(KJV-1611) Rev 11:4 De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a.(Creole-HT) ======= Revelation 11:5 ============ Rev 11:5 And if any man will hurt them, fire proceedeth out of their mouth, and devoureth their enemies: and if any man will hurt them, he must in this manner be killed.(KJV-1611) Rev 11:5 Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri.(Creole-HT) ======= Revelation 11:6 ============ Rev 11:6 These have power to shut heaven, that it rain not in the days of their prophecy: and have power over waters to turn them to blood, and to smite the earth with all plagues, as often as they will.(KJV-1611) Rev 11:6 Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li.(Creole-HT) ======= Revelation 11:7 ============ Rev 11:7 And when they shall have finished their testimony, the beast that ascendeth out of the bottomless pit shall make war against them, and shall overcome them, and kill them.(KJV-1611) Rev 11:7 Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo.(Creole-HT) ======= Revelation 11:8 ============ Rev 11:8 And their dead bodies shall lie in the street of the great city, which spiritually is called Sodom and Egypt, where also our Lord was crucified.(KJV-1611) Rev 11:8 Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip.(Creole-HT) ======= Revelation 11:9 ============ Rev 11:9 And they of the people and kindreds and tongues and nations shall see their dead bodies three days and an half, and shall not suffer their dead bodies to be put in graves.(KJV-1611) Rev 11:9 Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi jounen. Yo p'ap kite moun antere yo.(Creole-HT) ======= Revelation 11:10 ============ Rev 11:10 And they that dwell upon the earth shall rejoice over them, and make merry, and shall send gifts one to another; because these two prophets tormented them that dwelt on the earth.(KJV-1611) Rev 11:10 Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 11:11 ============ Rev 11:11 And after three days and an half the spirit of life from God entered into them, and they stood upon their feet; and great fear fell upon them which saw them.(KJV-1611) Rev 11:11 Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil.(Creole-HT) ======= Revelation 11:12 ============ Rev 11:12 And they heard a great voice from heaven saying unto them, Come up hither. And they ascended up to heaven in a cloud; and their enemies beheld them.(KJV-1611) Rev 11:12 Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo.(Creole-HT) ======= Revelation 11:13 ============ Rev 11:13 And the same hour was there a great earthquake, and the tenth part of the city fell, and in the earthquake were slain of men seven thousand: and the remnant were affrighted, and gave glory to the God of heaven.(KJV-1611) Rev 11:13 Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la.(Creole-HT) ======= Revelation 11:14 ============ Rev 11:14 The second woe is past; and, behold, the third woe cometh quickly.(KJV-1611) Rev 11:14 Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa.(Creole-HT) ======= Revelation 11:15 ============ Rev 11:15 And the seventh angel sounded; and there were great voices in heaven, saying, The kingdoms of this world are become the kingdoms of our Lord, and of his Christ; and he shall reign for ever and ever.(KJV-1611) Rev 11:15 Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.(Creole-HT) ======= Revelation 11:16 ============ Rev 11:16 And the four and twenty elders, which sat before God on their seats, fell upon their faces, and worshipped God,(KJV-1611) Rev 11:16 Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 11:17 ============ Rev 11:17 Saying, We give thee thanks, O LORD God Almighty, which art, and wast, and art to come; because thou hast taken to thee thy great power, and hast reigned.(KJV-1611) Rev 11:17 Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou.(Creole-HT) ======= Revelation 11:18 ============ Rev 11:18 And the nations were angry, and thy wrath is come, and the time of the dead, that they should be judged, and that thou shouldest give reward unto thy servants the prophets, and to the saints, and them that fear thy name, small and great; and shouldest destroy them which destroy the earth.(KJV-1611) Rev 11:18 Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!(Creole-HT) ======= Revelation 11:19 ============ Rev 11:19 And the temple of God was opened in heaven, and there was seen in his temple the ark of his testament: and there were lightnings, and voices, and thunderings, and an earthquake, and great hail.(KJV-1611) Rev 11:19 Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.(Creole-HT) ======= Revelation 12:1 ============ Rev 12:1 And there appeared a great wonder in heaven; a woman clothed with the sun, and the moon under her feet, and upon her head a crown of twelve stars:(KJV-1611) Rev 12:1 Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.(Creole-HT) ======= Revelation 12:2 ============ Rev 12:2 And she being with child cried, travailing in birth, and pained to be delivered.(KJV-1611) Rev 12:2 Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele.(Creole-HT) ======= Revelation 12:3 ============ Rev 12:3 And there appeared another wonder in heaven; and behold a great red dragon, having seven heads and ten horns, and seven crowns upon his heads.(KJV-1611) Rev 12:3 Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.(Creole-HT) ======= Revelation 12:4 ============ Rev 12:4 And his tail drew the third part of the stars of heaven, and did cast them to the earth: and the dragon stood before the woman which was ready to be delivered, for to devour her child as soon as it was born.(KJV-1611) Rev 12:4 Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.(Creole-HT) ======= Revelation 12:5 ============ Rev 12:5 And she brought forth a man child, who was to rule all nations with a rod of iron: and her child was caught up unto God, and to his throne.(KJV-1611) Rev 12:5 Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la.(Creole-HT) ======= Revelation 12:6 ============ Rev 12:6 And the woman fled into the wilderness, where she hath a place prepared of God, that they should feed her there a thousand two hundred and threescore days.(KJV-1611) Rev 12:6 Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant jou.(Creole-HT) ======= Revelation 12:7 ============ Rev 12:7 And there was war in heaven: Michael and his angels fought against the dragon; and the dragon fought and his angels,(KJV-1611) Rev 12:7 Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl.(Creole-HT) ======= Revelation 12:8 ============ Rev 12:8 And prevailed not; neither was their place found any more in heaven.(KJV-1611) Rev 12:8 Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo.(Creole-HT) ======= Revelation 12:9 ============ Rev 12:9 And the great dragon was cast out, that old serpent, called the Devil, and Satan, which deceiveth the whole world: he was cast out into the earth, and his angels were cast out with him.(KJV-1611) Rev 12:9 Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.(Creole-HT) ======= Revelation 12:10 ============ Rev 12:10 And I heard a loud voice saying in heaven, Now is come salvation, and strength, and the kingdom of our God, and the power of his Christ: for the accuser of our brethren is cast down, which accused them before our God day and night.(KJV-1611) Rev 12:10 Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.(Creole-HT) ======= Revelation 12:11 ============ Rev 12:11 And they overcame him by the blood of the Lamb, and by the word of their testimony; and they loved not their lives unto the death.(KJV-1611) Rev 12:11 Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.(Creole-HT) ======= Revelation 12:12 ============ Rev 12:12 Therefore rejoice, ye heavens, and ye that dwell in them. Woe to the inhabiters of the earth and of the sea! for the devil is come down unto you, having great wrath, because he knoweth that he hath but a short time.(KJV-1611) Rev 12:12 Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 12:13 ============ Rev 12:13 And when the dragon saw that he was cast unto the earth, he persecuted the woman which brought forth the man child.(KJV-1611) Rev 12:13 Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an.(Creole-HT) ======= Revelation 12:14 ============ Rev 12:14 And to the woman were given two wings of a great eagle, that she might fly into the wilderness, into her place, where she is nourished for a time, and times, and half a time, from the face of the serpent.(KJV-1611) Rev 12:14 Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa.(Creole-HT) ======= Revelation 12:15 ============ Rev 12:15 And the serpent cast out of his mouth water as a flood after the woman, that he might cause her to be carried away of the flood.(KJV-1611) Rev 12:15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l' ale.(Creole-HT) ======= Revelation 12:16 ============ Rev 12:16 And the earth helped the woman, and the earth opened her mouth, and swallowed up the flood which the dragon cast out of his mouth.(KJV-1611) Rev 12:16 Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap soti nan bouch dragon an.(Creole-HT) ======= Revelation 12:17 ============ Rev 12:17 And the dragon was wroth with the woman, and went to make war with the remnant of her seed, which keep the commandments of God, and have the testimony of Jesus Christ.(KJV-1611) Rev 12:17 Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.(Creole-HT) ======= Revelation 13:1 ============ Rev 13:1 And I stood upon the sand of the sea, and saw a beast rise up out of the sea, having seven heads and ten horns, and upon his horns ten crowns, and upon his heads the name of blasphemy.(KJV-1611) Rev 13:1 Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 13:2 ============ Rev 13:2 And the beast which I saw was like unto a leopard, and his feet were as the feet of a bear, and his mouth as the mouth of a lion: and the dragon gave him his power, and his seat, and great authority.(KJV-1611) Rev 13:2 Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a.(Creole-HT) ======= Revelation 13:3 ============ Rev 13:3 And I saw one of his heads as it were wounded to death; and his deadly wound was healed: and all the world wondered after the beast.(KJV-1611) Rev 13:3 Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la.(Creole-HT) ======= Revelation 13:4 ============ Rev 13:4 And they worshipped the dragon which gave power unto the beast: and they worshipped the beast, saying, Who is like unto the beast? who is able to make war with him?(KJV-1611) Rev 13:4 Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?(Creole-HT) ======= Revelation 13:5 ============ Rev 13:5 And there was given unto him a mouth speaking great things and blasphemies; and power was given unto him to continue forty and two months.(KJV-1611) Rev 13:5 Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa.(Creole-HT) ======= Revelation 13:6 ============ Rev 13:6 And he opened his mouth in blasphemy against God, to blaspheme his name, and his tabernacle, and them that dwell in heaven.(KJV-1611) Rev 13:6 Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la.(Creole-HT) ======= Revelation 13:7 ============ Rev 13:7 And it was given unto him to make war with the saints, and to overcome them: and power was given him over all kindreds, and tongues, and nations.(KJV-1611) Rev 13:7 Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon.(Creole-HT) ======= Revelation 13:8 ============ Rev 13:8 And all that dwell upon the earth shall worship him, whose names are not written in the book of life of the Lamb slain from the foundation of the world.(KJV-1611) Rev 13:8 Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.(Creole-HT) ======= Revelation 13:9 ============ Rev 13:9 If any man have an ear, let him hear.(KJV-1611) Rev 13:9 Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande!(Creole-HT) ======= Revelation 13:10 ============ Rev 13:10 He that leadeth into captivity shall go into captivity: he that killeth with the sword must be killed with the sword. Here is the patience and the faith of the saints.(KJV-1611) Rev 13:10 Moun ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasians ak konfians nan Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 13:11 ============ Rev 13:11 And I beheld another beast coming up out of the earth; and he had two horns like a lamb, and he spake as a dragon.(KJV-1611) Rev 13:11 Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon.(Creole-HT) ======= Revelation 13:12 ============ Rev 13:12 And he exerciseth all the power of the first beast before him, and causeth the earth and them which dwell therein to worship the first beast, whose deadly wound was healed.(KJV-1611) Rev 13:12 Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a.(Creole-HT) ======= Revelation 13:13 ============ Rev 13:13 And he doeth great wonders, so that he maketh fire come down from heaven on the earth in the sight of men,(KJV-1611) Rev 13:13 Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè devan tout moun.(Creole-HT) ======= Revelation 13:14 ============ Rev 13:14 And deceiveth them that dwell on the earth by the means of those miracles which he had power to do in the sight of the beast; saying to them that dwell on the earth, that they should make an image to the beast, which had the wound by a sword, and did live.(KJV-1611) Rev 13:14 Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an.(Creole-HT) ======= Revelation 13:15 ============ Rev 13:15 And he had power to give life unto the image of the beast, that the image of the beast should both speak, and cause that as many as would not worship the image of the beast should be killed.(KJV-1611) Rev 13:15 Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li.(Creole-HT) ======= Revelation 13:16 ============ Rev 13:16 And he causeth all, both small and great, rich and poor, free and bond, to receive a mark in their right hand, or in their foreheads:(KJV-1611) Rev 13:16 Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 13:17 ============ Rev 13:17 And that no man might buy or sell, save he that had the mark, or the name of the beast, or the number of his name.(KJV-1611) Rev 13:17 Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan.(Creole-HT) ======= Revelation 13:18 ============ Rev 13:18 Here is wisdom. Let him that hath understanding count the number of the beast: for it is the number of a man; and his number is Six hundred threescore and six.(KJV-1611) Rev 13:18 Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis .(Creole-HT) ======= Revelation 14:1 ============ Rev 14:1 And I looked, and, lo, a Lamb stood on the mount Sion, and with him an hundred forty and four thousand, having his Father's name written in their foreheads.(KJV-1611) Rev 14:1 Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 14:2 ============ Rev 14:2 And I heard a voice from heaven, as the voice of many waters, and as the voice of a great thunder: and I heard the voice of harpers harping with their harps:(KJV-1611) Rev 14:2 Mwen tande yon vwa ki soti nan sièl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita.(Creole-HT) ======= Revelation 14:3 ============ Rev 14:3 And they sung as it were a new song before the throne, and before the four beasts, and the elders: and no man could learn that song but the hundred and forty and four thousand, which were redeemed from the earth.(KJV-1611) Rev 14:3 Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 14:4 ============ Rev 14:4 These are they which were not defiled with women; for they are virgins. These are they which follow the Lamb whithersoever he goeth. These were redeemed from among men, being the firstfruits unto God and to the Lamb.(KJV-1611) Rev 14:4 Moun sa yo, se moun ki pa t' fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an.(Creole-HT) ======= Revelation 14:5 ============ Rev 14:5 And in their mouth was found no guile: for they are without fault before the throne of God.(KJV-1611) Rev 14:5 Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch.(Creole-HT) ======= Revelation 14:6 ============ Rev 14:6 And I saw another angel fly in the midst of heaven, having the everlasting gospel to preach unto them that dwell on the earth, and to every nation, and kindred, and tongue, and people,(KJV-1611) Rev 14:6 Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.(Creole-HT) ======= Revelation 14:7 ============ Rev 14:7 Saying with a loud voice, Fear God, and give glory to him; for the hour of his judgment is come: and worship him that made heaven, and earth, and the sea, and the fountains of waters.(KJV-1611) Rev 14:7 Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo.(Creole-HT) ======= Revelation 14:8 ============ Rev 14:8 And there followed another angel, saying, Babylon is fallen, is fallen, that great city, because she made all nations drink of the wine of the wrath of her fornication.(KJV-1611) Rev 14:8 Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a.(Creole-HT) ======= Revelation 14:9 ============ Rev 14:9 And the third angel followed them, saying with a loud voice, If any man worship the beast and his image, and receive his mark in his forehead, or in his hand,(KJV-1611) Rev 14:9 Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo,(Creole-HT) ======= Revelation 14:10 ============ Rev 14:10 The same shall drink of the wine of the wrath of God, which is poured out without mixture into the cup of his indignation; and he shall be tormented with fire and brimstone in the presence of the holy angels, and in the presence of the Lamb:(KJV-1611) Rev 14:10 moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an.(Creole-HT) ======= Revelation 14:11 ============ Rev 14:11 And the smoke of their torment ascendeth up for ever and ever: and they have no rest day nor night, who worship the beast and his image, and whosoever receiveth the mark of his name.(KJV-1611) Rev 14:11 Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit.(Creole-HT) ======= Revelation 14:12 ============ Rev 14:12 Here is the patience of the saints: here are they that keep the commandments of God, and the faith of Jesus.(KJV-1611) Rev 14:12 Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians.(Creole-HT) ======= Revelation 14:13 ============ Rev 14:13 And I heard a voice from heaven saying unto me, Write, Blessed are the dead which die in the Lord from henceforth: Yea, saith the Spirit, that they may rest from their labours; and their works do follow them.(KJV-1611) Rev 14:13 Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.(Creole-HT) ======= Revelation 14:14 ============ Rev 14:14 And I looked, and behold a white cloud, and upon the cloud one sat like unto the Son of man, having on his head a golden crown, and in his hand a sharp sickle.(KJV-1611) Rev 14:14 Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.(Creole-HT) ======= Revelation 14:15 ============ Rev 14:15 And another angel came out of the temple, crying with a loud voice to him that sat on the cloud, Thrust in thy sickle, and reap: for the time is come for thee to reap; for the harvest of the earth is ripe.(KJV-1611) Rev 14:15 Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.(Creole-HT) ======= Revelation 14:16 ============ Rev 14:16 And he that sat on the cloud thrust in his sickle on the earth; and the earth was reaped.(KJV-1611) Rev 14:16 Lè sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 14:17 ============ Rev 14:17 And another angel came out of the temple which is in heaven, he also having a sharp sickle.(KJV-1611) Rev 14:17 Yon lòt zanj soti nan tanp ki nan sièl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'.(Creole-HT) ======= Revelation 14:18 ============ Rev 14:18 And another angel came out from the altar, which had power over fire; and cried with a loud cry to him that had the sharp sickle, saying, Thrust in thy sharp sickle, and gather the clusters of the vine of the earth; for her grapes are fully ripe.(KJV-1611) Rev 14:18 Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.(Creole-HT) ======= Revelation 14:19 ============ Rev 14:19 And the angel thrust in his sickle into the earth, and gathered the vine of the earth, and cast it into the great winepress of the wrath of God.(KJV-1611) Rev 14:19 Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo.(Creole-HT) ======= Revelation 14:20 ============ Rev 14:20 And the winepress was trodden without the city, and blood came out of the winepress, even unto the horse bridles, by the space of a thousand and six hundred furlongs.(KJV-1611) Rev 14:20 Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.(Creole-HT) ======= Revelation 15:1 ============ Rev 15:1 And I saw another sign in heaven, great and marvellous, seven angels having the seven last plagues; for in them is filled up the wrath of God.(KJV-1611) Rev 15:1 Apre sa, mwen wè yon lòt siy nan sièl la, yon gwo siy ki pou fè moun sezi: sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite. Se te sèt dènye kalamite yo. Apre yo, Bondye ap sispann fè kòlè.(Creole-HT) ======= Revelation 15:2 ============ Rev 15:2 And I saw as it were a sea of glass mingled with fire: and them that had gotten the victory over the beast, and over his image, and over his mark, and over the number of his name, stand on the sea of glass, having the harps of God.(KJV-1611) Rev 15:2 Apre sa, mwen wè yon bagay ki te tankou yon lanmè fèt an kristal mele ak dife. Mwen wè tou moun ki te genyen nan batay yo t'ap mennen kont bèt la, kont estati l' la, kont moun ki gen yon nimewo ki koresponn ak non l' lan. Yo tout yo te kanpe bò lanmè kristal la, yo te gen nan men yo gita Bondye te ba yo a.(Creole-HT) ======= Revelation 15:3 ============ Rev 15:3 And they sing the song of Moses the servant of God, and the song of the Lamb, saying, Great and marvellous are thy works, Lord God Almighty; just and true are thy ways, thou King of saints.(KJV-1611) Rev 15:3 Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.(Creole-HT) ======= Revelation 15:4 ============ Rev 15:4 Who shall not fear thee, O Lord, and glorify thy name? for thou only art holy: for all nations shall come and worship before thee; for thy judgments are made manifest.(KJV-1611) Rev 15:4 Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.(Creole-HT) ======= Revelation 15:5 ============ Rev 15:5 And after that I looked, and, behold, the temple of the tabernacle of the testimony in heaven was opened:(KJV-1611) Rev 15:5 Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan sièl la louvri.(Creole-HT) ======= Revelation 15:6 ============ Rev 15:6 And the seven angels came out of the temple, having the seven plagues, clothed in pure and white linen, and having their breasts girded with golden girdles.(KJV-1611) Rev 15:6 Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.(Creole-HT) ======= Revelation 15:7 ============ Rev 15:7 And one of the four beasts gave unto the seven angels seven golden vials full of the wrath of God, who liveth for ever and ever.(KJV-1611) Rev 15:7 Yonn nan kat bèt vivan yo bay sèt zanj yo sèt gode fèt an lò ki te plen ak kòlè Bondye ki vivan pou tout tan an.(Creole-HT) ======= Revelation 15:8 ============ Rev 15:8 And the temple was filled with smoke from the glory of God, and from his power; and no man was able to enter into the temple, till the seven plagues of the seven angels were fulfilled.(KJV-1611) Rev 15:8 Lafimen ki t'ap soti nan gwo limiè prezans ak nan pouvwa Bondye a te plen tanp lan nèt. Pesonn pa t' kapab antre nan tanp lan toutotan sèt kalamite ki te nan men zanj yo pa t' ankò pase.(Creole-HT) ======= Revelation 16:1 ============ Rev 16:1 And I heard a great voice out of the temple saying to the seven angels, Go your ways, and pour out the vials of the wrath of God upon the earth.(KJV-1611) Rev 16:1 Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 16:2 ============ Rev 16:2 And the first went, and poured out his vial upon the earth; and there fell a noisome and grievous sore upon the men which had the mark of the beast, and upon them which worshipped his image.(KJV-1611) Rev 16:2 Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil.(Creole-HT) ======= Revelation 16:3 ============ Rev 16:3 And the second angel poured out his vial upon the sea; and it became as the blood of a dead man: and every living soul died in the sea.(KJV-1611) Rev 16:3 Dezyèm zanj lan vide gode pa l' la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri.(Creole-HT) ======= Revelation 16:4 ============ Rev 16:4 And the third angel poured out his vial upon the rivers and fountains of waters; and they became blood.(KJV-1611) Rev 16:4 Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san.(Creole-HT) ======= Revelation 16:5 ============ Rev 16:5 And I heard the angel of the waters say, Thou art righteous, O Lord, which art, and wast, and shalt be, because thou hast judged thus.(KJV-1611) Rev 16:5 Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la.(Creole-HT) ======= Revelation 16:6 ============ Rev 16:6 For they have shed the blood of saints and prophets, and thou hast given them blood to drink; for they are worthy.(KJV-1611) Rev 16:6 Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a.(Creole-HT) ======= Revelation 16:7 ============ Rev 16:7 And I heard another out of the altar say, Even so, Lord God Almighty, true and righteous are thy judgments.(KJV-1611) Rev 16:7 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri.(Creole-HT) ======= Revelation 16:8 ============ Rev 16:8 And the fourth angel poured out his vial upon the sun; and power was given unto him to scorch men with fire.(KJV-1611) Rev 16:8 Katriyèm zanj lan vide gode pa l' la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l' te boule moun ak dife l' la.(Creole-HT) ======= Revelation 16:9 ============ Rev 16:9 And men were scorched with great heat, and blasphemed the name of God, which hath power over these plagues: and they repented not to give him glory.(KJV-1611) Rev 16:9 Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 16:10 ============ Rev 16:10 And the fifth angel poured out his vial upon the seat of the beast; and his kingdom was full of darkness; and they gnawed their tongues for pain,(KJV-1611) Rev 16:10 Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri.(Creole-HT) ======= Revelation 16:11 ============ Rev 16:11 And blasphemed the God of heaven because of their pains and their sores, and repented not of their deeds.(KJV-1611) Rev 16:11 Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a.(Creole-HT) ======= Revelation 16:12 ============ Rev 16:12 And the sixth angel poured out his vial upon the great river Euphrates; and the water thereof was dried up, that the way of the kings of the east might be prepared.(KJV-1611) Rev 16:12 Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.(Creole-HT) ======= Revelation 16:13 ============ Rev 16:13 And I saw three unclean spirits like frogs come out of the mouth of the dragon, and out of the mouth of the beast, and out of the mouth of the false prophet.(KJV-1611) Rev 16:13 Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo.(Creole-HT) ======= Revelation 16:14 ============ Rev 16:14 For they are the spirits of devils, working miracles, which go forth unto the kings of the earth and of the whole world, to gather them to the battle of that great day of God Almighty.(KJV-1611) Rev 16:14 Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Revelation 16:15 ============ Rev 16:15 Behold, I come as a thief. Blessed is he that watcheth, and keepeth his garments, lest he walk naked, and they see his shame.(KJV-1611) Rev 16:15 Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!(Creole-HT) ======= Revelation 16:16 ============ Rev 16:16 And he gathered them together into a place called in the Hebrew tongue Armageddon.(KJV-1611) Rev 16:16 Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon.(Creole-HT) ======= Revelation 16:17 ============ Rev 16:17 And the seventh angel poured out his vial into the air; and there came a great voice out of the temple of heaven, from the throne, saying, It is done.(KJV-1611) Rev 16:17 Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a!(Creole-HT) ======= Revelation 16:18 ============ Rev 16:18 And there were voices, and thunders, and lightnings; and there was a great earthquake, such as was not since men were upon the earth, so mighty an earthquake, and so great.(KJV-1611) Rev 16:18 Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa.(Creole-HT) ======= Revelation 16:19 ============ Rev 16:19 And the great city was divided into three parts, and the cities of the nations fell: and great Babylon came in remembrance before God, to give unto her the cup of the wine of the fierceness of his wrath.(KJV-1611) Rev 16:19 Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la.(Creole-HT) ======= Revelation 16:20 ============ Rev 16:20 And every island fled away, and the mountains were not found.(KJV-1611) Rev 16:20 Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 16:21 ============ Rev 16:21 And there fell upon men a great hail out of heaven, every stone about the weight of a talent: and men blasphemed God because of the plague of the hail; for the plague thereof was exceeding great.(KJV-1611) Rev 16:21 De gwo grenn lagrèl ki pese san liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.(Creole-HT) ======= Revelation 17:1 ============ Rev 17:1 And there came one of the seven angels which had the seven vials, and talked with me, saying unto me, Come hither; I will shew unto thee the judgment of the great whore that sitteth upon many waters:(KJV-1611) Rev 17:1 Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.(Creole-HT) ======= Revelation 17:2 ============ Rev 17:2 With whom the kings of the earth have committed fornication, and the inhabitants of the earth have been made drunk with the wine of her fornication.(KJV-1611) Rev 17:2 Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.(Creole-HT) ======= Revelation 17:3 ============ Rev 17:3 So he carried me away in the spirit into the wilderness: and I saw a woman sit upon a scarlet coloured beast, full of names of blasphemy, having seven heads and ten horns.(KJV-1611) Rev 17:3 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 17:4 ============ Rev 17:4 And the woman was arrayed in purple and scarlet colour, and decked with gold and precious stones and pearls, having a golden cup in her hand full of abominations and filthiness of her fornication:(KJV-1611) Rev 17:4 Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a.(Creole-HT) ======= Revelation 17:5 ============ Rev 17:5 And upon her forehead was a name written, MYSTERY, BABYLON THE GREAT, THE MOTHER OF HARLOTS AND ABOMINATIONS OF THE EARTH.(KJV-1611) Rev 17:5 Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 17:6 ============ Rev 17:6 And I saw the woman drunken with the blood of the saints, and with the blood of the martyrs of Jesus: and when I saw her, I wondered with great admiration.(KJV-1611) Rev 17:6 Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.(Creole-HT) ======= Revelation 17:7 ============ Rev 17:7 And the angel said unto me, Wherefore didst thou marvel? I will tell thee the mystery of the woman, and of the beast that carrieth her, which hath the seven heads and ten horns.(KJV-1611) Rev 17:7 Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.(Creole-HT) ======= Revelation 17:8 ============ Rev 17:8 The beast that thou sawest was, and is not; and shall ascend out of the bottomless pit, and go into perdition: and they that dwell on the earth shall wonder, whose names were not written in the book of life from the foundation of the world, when they behold the beast that was, and is not, and yet is.(KJV-1611) Rev 17:8 Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 17:9 ============ Rev 17:9 And here is the mind which hath wisdom. The seven heads are seven mountains, on which the woman sitteth.(KJV-1611) Rev 17:9 Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye.(Creole-HT) ======= Revelation 17:10 ============ Rev 17:10 And there are seven kings: five are fallen, and one is, and the other is not yet come; and when he cometh, he must continue a short space.(KJV-1611) Rev 17:10 Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan.(Creole-HT) ======= Revelation 17:11 ============ Rev 17:11 And the beast that was, and is not, even he is the eighth, and is of the seven, and goeth into perdition.(KJV-1611) Rev 17:11 Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt.(Creole-HT) ======= Revelation 17:12 ============ Rev 17:12 And the ten horns which thou sawest are ten kings, which have received no kingdom as yet; but receive power as kings one hour with the beast.(KJV-1611) Rev 17:12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.(Creole-HT) ======= Revelation 17:13 ============ Rev 17:13 These have one mind, and shall give their power and strength unto the beast.(KJV-1611) Rev 17:13 Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.(Creole-HT) ======= Revelation 17:14 ============ Rev 17:14 These shall make war with the Lamb, and the Lamb shall overcome them: for he is Lord of lords, and King of kings: and they that are with him are called, and chosen, and faithful.(KJV-1611) Rev 17:14 Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.(Creole-HT) ======= Revelation 17:15 ============ Rev 17:15 And he saith unto me, The waters which thou sawest, where the whore sitteth, are peoples, and multitudes, and nations, and tongues.(KJV-1611) Rev 17:15 Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang.(Creole-HT) ======= Revelation 17:16 ============ Rev 17:16 And the ten horns which thou sawest upon the beast, these shall hate the whore, and shall make her desolate and naked, and shall eat her flesh, and burn her with fire.(KJV-1611) Rev 17:16 Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.(Creole-HT) ======= Revelation 17:17 ============ Rev 17:17 For God hath put in their hearts to fulfil his will, and to agree, and give their kingdom unto the beast, until the words of God shall be fulfilled.(KJV-1611) Rev 17:17 Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre.(Creole-HT) ======= Revelation 17:18 ============ Rev 17:18 And the woman which thou sawest is that great city, which reigneth over the kings of the earth.(KJV-1611) Rev 17:18 Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.(Creole-HT) ======= Revelation 18:1 ============ Rev 18:1 And after these things I saw another angel come down from heaven, having great power; and the earth was lightened with his glory.(KJV-1611) Rev 18:1 Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann soti nan sièl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè.(Creole-HT) ======= Revelation 18:2 ============ Rev 18:2 And he cried mightily with a strong voice, saying, Babylon the great is fallen, is fallen, and is become the habitation of devils, and the hold of every foul spirit, and a cage of every unclean and hateful bird.(KJV-1611) Rev 18:2 Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.(Creole-HT) ======= Revelation 18:3 ============ Rev 18:3 For all nations have drunk of the wine of the wrath of her fornication, and the kings of the earth have committed fornication with her, and the merchants of the earth are waxed rich through the abundance of her delicacies.(KJV-1611) Rev 18:3 Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.(Creole-HT) ======= Revelation 18:4 ============ Rev 18:4 And I heard another voice from heaven, saying, Come out of her, my people, that ye be not partakers of her sins, and that ye receive not of her plagues.(KJV-1611) Rev 18:4 Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.(Creole-HT) ======= Revelation 18:5 ============ Rev 18:5 For her sins have reached unto heaven, and God hath remembered her iniquities.(KJV-1611) Rev 18:5 Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal.(Creole-HT) ======= Revelation 18:6 ============ Rev 18:6 Reward her even as she rewarded you, and double unto her double according to her works: in the cup which she hath filled fill to her double.(KJV-1611) Rev 18:6 Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an.(Creole-HT) ======= Revelation 18:7 ============ Rev 18:7 How much she hath glorified herself, and lived deliciously, so much torment and sorrow give her: for she saith in her heart, I sit a queen, and am no widow, and shall see no sorrow.(KJV-1611) Rev 18:7 Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.(Creole-HT) ======= Revelation 18:8 ============ Rev 18:8 Therefore shall her plagues come in one day, death, and mourning, and famine; and she shall be utterly burned with fire: for strong is the Lord God who judgeth her.(KJV-1611) Rev 18:8 Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.(Creole-HT) ======= Revelation 18:9 ============ Rev 18:9 And the kings of the earth, who have committed fornication and lived deliciously with her, shall bewail her, and lament for her, when they shall see the smoke of her burning,(KJV-1611) Rev 18:9 Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la.(Creole-HT) ======= Revelation 18:10 ============ Rev 18:10 Standing afar off for the fear of her torment, saying, Alas, alas that great city Babylon, that mighty city! for in one hour is thy judgment come.(KJV-1611) Rev 18:10 Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!(Creole-HT) ======= Revelation 18:11 ============ Rev 18:11 And the merchants of the earth shall weep and mourn over her; for no man buyeth their merchandise any more:(KJV-1611) Rev 18:11 Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo:(Creole-HT) ======= Revelation 18:12 ============ Rev 18:12 The merchandise of gold, and silver, and precious stones, and of pearls, and fine linen, and purple, and silk, and scarlet, and all thyine wood, and all manner vessels of ivory, and all manner vessels of most precious wood, and of brass, and iron, and marble,(KJV-1611) Rev 18:12 lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab,(Creole-HT) ======= Revelation 18:13 ============ Rev 18:13 And cinnamon, and odours, and ointments, and frankincense, and wine, and oil, and fine flour, and wheat, and beasts, and sheep, and horses, and chariots, and slaves, and souls of men.(KJV-1611) Rev 18:13 kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.(Creole-HT) ======= Revelation 18:14 ============ Rev 18:14 And the fruits that thy soul lusted after are departed from thee, and all things which were dainty and goodly are departed from thee, and thou shalt find them no more at all.(KJV-1611) Rev 18:14 Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!(Creole-HT) ======= Revelation 18:15 ============ Rev 18:15 The merchants of these things, which were made rich by her, shall stand afar off for the fear of her torment, weeping and wailing,(KJV-1611) Rev 18:15 Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye,(Creole-HT) ======= Revelation 18:16 ============ Rev 18:16 And saying, Alas, alas that great city, that was clothed in fine linen, and purple, and scarlet, and decked with gold, and precious stones, and pearls!(KJV-1611) Rev 18:16 y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl!(Creole-HT) ======= Revelation 18:17 ============ Rev 18:17 For in one hour so great riches is come to nought. And every shipmaster, and all the company in ships, and sailors, and as many as trade by sea, stood afar off,(KJV-1611) Rev 18:17 Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.(Creole-HT) ======= Revelation 18:18 ============ Rev 18:18 And cried when they saw the smoke of her burning, saying, What city is like unto this great city!(KJV-1611) Rev 18:18 Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!(Creole-HT) ======= Revelation 18:19 ============ Rev 18:19 And they cast dust on their heads, and cried, weeping and wailing, saying, Alas, alas that great city, wherein were made rich all that had ships in the sea by reason of her costliness! for in one hour is she made desolate.(KJV-1611) Rev 18:19 Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!(Creole-HT) ======= Revelation 18:20 ============ Rev 18:20 Rejoice over her, thou heaven, and ye holy apostles and prophets; for God hath avenged you on her.(KJV-1611) Rev 18:20 Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.(Creole-HT) ======= Revelation 18:21 ============ Rev 18:21 And a mighty angel took up a stone like a great millstone, and cast it into the sea, saying, Thus with violence shall that great city Babylon be thrown down, and shall be found no more at all.(KJV-1611) Rev 18:21 Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 18:22 ============ Rev 18:22 And the voice of harpers, and musicians, and of pipers, and trumpeters, shall be heard no more at all in thee; and no craftsman, of whatsoever craft he be, shall be found any more in thee; and the sound of a millstone shall be heard no more at all in thee;(KJV-1611) Rev 18:22 Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 18:23 ============ Rev 18:23 And the light of a candle shall shine no more at all in thee; and the voice of the bridegroom and of the bride shall be heard no more at all in thee: for thy merchants were the great men of the earth; for by thy sorceries were all nations deceived.(KJV-1611) Rev 18:23 Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 18:24 ============ Rev 18:24 And in her was found the blood of prophets, and of saints, and of all that were slain upon the earth.(KJV-1611) Rev 18:24 Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.(Creole-HT) ======= Revelation 19:1 ============ Rev 19:1 And after these things I heard a great voice of much people in heaven, saying, Alleluia; Salvation, and glory, and honour, and power, unto the Lord our God:(KJV-1611) Rev 19:1 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.(Creole-HT) ======= Revelation 19:2 ============ Rev 19:2 For true and righteous are his judgments: for he hath judged the great whore, which did corrupt the earth with her fornication, and hath avenged the blood of his servants at her hand.(KJV-1611) Rev 19:2 Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.(Creole-HT) ======= Revelation 19:3 ============ Rev 19:3 And again they said, Alleluia And her smoke rose up for ever and ever.(KJV-1611) Rev 19:3 Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.(Creole-HT) ======= Revelation 19:4 ============ Rev 19:4 And the four and twenty elders and the four beasts fell down and worshipped God that sat on the throne, saying, Amen; Alleluia.(KJV-1611) Rev 19:4 Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an!(Creole-HT) ======= Revelation 19:5 ============ Rev 19:5 And a voice came out of the throne, saying, Praise our God, all ye his servants, and ye that fear him, both small and great.(KJV-1611) Rev 19:5 Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran!(Creole-HT) ======= Revelation 19:6 ============ Rev 19:6 And I heard as it were the voice of a great multitude, and as the voice of many waters, and as the voice of mighty thunderings, saying, Alleluia: for the Lord God omnipotent reigneth.(KJV-1611) Rev 19:6 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.(Creole-HT) ======= Revelation 19:7 ============ Rev 19:7 Let us be glad and rejoice, and give honour to him: for the marriage of the Lamb is come, and his wife hath made herself ready.(KJV-1611) Rev 19:7 Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.(Creole-HT) ======= Revelation 19:8 ============ Rev 19:8 And to her was granted that she should be arrayed in fine linen, clean and white: for the fine linen is the righteousness of saints.(KJV-1611) Rev 19:8 Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.)(Creole-HT) ======= Revelation 19:9 ============ Rev 19:9 And he saith unto me, Write, Blessed are they which are called unto the marriage supper of the Lamb. And he saith unto me, These are the true sayings of God.(KJV-1611) Rev 19:9 Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.(Creole-HT) ======= Revelation 19:10 ============ Rev 19:10 And I fell at his feet to worship him. And he said unto me, See thou do it not: I am thy fellowservant, and of thy brethren that have the testimony of Jesus: worship God: for the testimony of Jesus is the spirit of prophecy.(KJV-1611) Rev 19:10 Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.(Creole-HT) ======= Revelation 19:11 ============ Rev 19:11 And I saw heaven opened, and behold a white horse; and he that sat upon him was called Faithful and True, and in righteousness he doth judge and make war.(KJV-1611) Rev 19:11 Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt.(Creole-HT) ======= Revelation 19:12 ============ Rev 19:12 His eyes were as a flame of fire, and on his head were many crowns; and he had a name written, that no man knew, but he himself.(KJV-1611) Rev 19:12 Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li.(Creole-HT) ======= Revelation 19:13 ============ Rev 19:13 And he was clothed with a vesture dipped in blood: and his name is called The Word of God.(KJV-1611) Rev 19:13 Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 19:14 ============ Rev 19:14 And the armies which were in heaven followed him upon white horses, clothed in fine linen, white and clean.(KJV-1611) Rev 19:14 Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.(Creole-HT) ======= Revelation 19:15 ============ Rev 19:15 And out of his mouth goeth a sharp sword, that with it he should smite the nations: and he shall rule them with a rod of iron: and he treadeth the winepress of the fierceness and wrath of Almighty God.(KJV-1611) Rev 19:15 Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.(Creole-HT) ======= Revelation 19:16 ============ Rev 19:16 And he hath on his vesture and on his thigh a name written, KING OF KINGS, AND LORD OF LORDS.(KJV-1611) Rev 19:16 Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.(Creole-HT) ======= Revelation 19:17 ============ Rev 19:17 And I saw an angel standing in the sun; and he cried with a loud voice, saying to all the fowls that fly in the midst of heaven, Come and gather yourselves together unto the supper of the great God;(KJV-1611) Rev 19:17 Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.(Creole-HT) ======= Revelation 19:18 ============ Rev 19:18 That ye may eat the flesh of kings, and the flesh of captains, and the flesh of mighty men, and the flesh of horses, and of them that sit on them, and the flesh of all men, both free and bond, both small and great.(KJV-1611) Rev 19:18 vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.(Creole-HT) ======= Revelation 19:19 ============ Rev 19:19 And I saw the beast, and the kings of the earth, and their armies, gathered together to make war against him that sat on the horse, and against his army.(KJV-1611) Rev 19:19 Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la.(Creole-HT) ======= Revelation 19:20 ============ Rev 19:20 And the beast was taken, and with him the false prophet that wrought miracles before him, with which he deceived them that had received the mark of the beast, and them that worshipped his image. These both were cast alive into a lake of fire burning with brimstone.(KJV-1611) Rev 19:20 Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.(Creole-HT) ======= Revelation 19:21 ============ Rev 19:21 And the remnant were slain with the sword of him that sat upon the horse, which sword proceeded out of his mouth: and all the fowls were filled with their flesh.(KJV-1611) Rev 19:21 Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.(Creole-HT) ======= Revelation 20:1 ============ Rev 20:1 And I saw an angel come down from heaven, having the key of the bottomless pit and a great chain in his hand.(KJV-1611) Rev 20:1 Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn.(Creole-HT) ======= Revelation 20:2 ============ Rev 20:2 And he laid hold on the dragon, that old serpent, which is the Devil, and Satan, and bound him a thousand years,(KJV-1611) Rev 20:2 Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil an.(Creole-HT) ======= Revelation 20:3 ============ Rev 20:3 And cast him into the bottomless pit, and shut him up, and set a seal upon him, that he should deceive the nations no more, till the thousand years should be fulfilled: and after that he must be loosed a little season.(KJV-1611) Rev 20:3 Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan.(Creole-HT) ======= Revelation 20:4 ============ Rev 20:4 And I saw thrones, and they sat upon them, and judgment was given unto them: and I saw the souls of them that were beheaded for the witness of Jesus, and for the word of God, and which had not worshipped the beast, neither his image, neither had received his mark upon their foreheads, or in their hands; and they lived and reigned with Christ a thousand years.(KJV-1611) Rev 20:4 Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil an.(Creole-HT) ======= Revelation 20:5 ============ Rev 20:5 But the rest of the dead lived not again until the thousand years were finished. This is the first resurrection.(KJV-1611) Rev 20:5 (Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a.(Creole-HT) ======= Revelation 20:6 ============ Rev 20:6 Blessed and holy is he that hath part in the first resurrection: on such the second death hath no power, but they shall be priests of God and of Christ, and shall reign with him a thousand years.(KJV-1611) Rev 20:6 Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil lanne.(Creole-HT) ======= Revelation 20:7 ============ Rev 20:7 And when the thousand years are expired, Satan shall be loosed out of his prison,(KJV-1611) Rev 20:7 Lè mil lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an.(Creole-HT) ======= Revelation 20:8 ============ Rev 20:8 And shall go out to deceive the nations which are in the four quarters of the earth, Gog, and Magog, to gather them together to battle: the number of whom is as the sand of the sea.(KJV-1611) Rev 20:8 Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè.(Creole-HT) ======= Revelation 20:9 ============ Rev 20:9 And they went up on the breadth of the earth, and compassed the camp of the saints about, and the beloved city: and fire came down from God out of heaven, and devoured them.(KJV-1611) Rev 20:9 Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo.(Creole-HT) ======= Revelation 20:10 ============ Rev 20:10 And the devil that deceived them was cast into the lake of fire and brimstone, where the beast and the false prophet are, and shall be tormented day and night for ever and ever.(KJV-1611) Rev 20:10 Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.(Creole-HT) ======= Revelation 20:11 ============ Rev 20:11 And I saw a great white throne, and him that sat on it, from whose face the earth and the heaven fled away; and there was found no place for them.(KJV-1611) Rev 20:11 Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.(Creole-HT) ======= Revelation 20:12 ============ Rev 20:12 And I saw the dead, small and great, stand before God; and the books were opened: and another book was opened, which is the book of life: and the dead were judged out of those things which were written in the books, according to their works.(KJV-1611) Rev 20:12 Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.(Creole-HT) ======= Revelation 20:13 ============ Rev 20:13 And the sea gave up the dead which were in it; and death and hell delivered up the dead which were in them: and they were judged every man according to their works.(KJV-1611) Rev 20:13 Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.(Creole-HT) ======= Revelation 20:14 ============ Rev 20:14 And death and hell were cast into the lake of fire. This is the second death.(KJV-1611) Rev 20:14 Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a).(Creole-HT) ======= Revelation 20:15 ============ Rev 20:15 And whosoever was not found written in the book of life was cast into the lake of fire.(KJV-1611) Rev 20:15 Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.(Creole-HT) ======= Revelation 21:1 ============ Rev 21:1 And I saw a new heaven and a new earth: for the first heaven and the first earth were passed away; and there was no more sea.(KJV-1611) Rev 21:1 Apre sa, mwen wè yon lòt sièl ak yon lòt latè. Premie sièl la ak premie latè a te disparèt. pa t' gen okenn lanmè ankò.(Creole-HT) ======= Revelation 21:2 ============ Rev 21:2 And I John saw the holy city, new Jerusalem, coming down from God out of heaven, prepared as a bride adorned for her husband.(KJV-1611) Rev 21:2 Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.(Creole-HT) ======= Revelation 21:3 ============ Rev 21:3 And I heard a great voice out of heaven saying, Behold, the tabernacle of God is with men, and he will dwell with them, and they shall be his people, and God himself shall be with them, and be their God.(KJV-1611) Rev 21:3 Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo.(Creole-HT) ======= Revelation 21:4 ============ Rev 21:4 And God shall wipe away all tears from their eyes; and there shall be no more death, neither sorrow, nor crying, neither shall there be any more pain: for the former things are passed away.(KJV-1611) Rev 21:4 Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.(Creole-HT) ======= Revelation 21:5 ============ Rev 21:5 And he that sat upon the throne said, Behold, I make all things new. And he said unto me, Write: for these words are true and faithful.(KJV-1611) Rev 21:5 Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.(Creole-HT) ======= Revelation 21:6 ============ Rev 21:6 And he said unto me, It is done. I am Alpha and Omega, the beginning and the end. I will give unto him that is athirst of the fountain of the water of life freely.(KJV-1611) Rev 21:6 Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.(Creole-HT) ======= Revelation 21:7 ============ Rev 21:7 He that overcometh shall inherit all things; and I will be his God, and he shall be my son.(KJV-1611) Rev 21:7 Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.(Creole-HT) ======= Revelation 21:8 ============ Rev 21:8 But the fearful, and unbelieving, and the abominable, and murderers, and whoremongers, and sorcerers, and idolaters, and all liars, shall have their part in the lake which burneth with fire and brimstone: which is the second death.(KJV-1611) Rev 21:8 Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.(Creole-HT) ======= Revelation 21:9 ============ Rev 21:9 And there came unto me one of the seven angels which had the seven vials full of the seven last plagues, and talked with me, saying, Come hither, I will shew thee the bride, the Lamb's wife.(KJV-1611) Rev 21:9 Yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt dènye kalamite yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral moutre ou lamarye a, fiyanse ti Mouton an.(Creole-HT) ======= Revelation 21:10 ============ Rev 21:10 And he carried me away in the spirit to a great and high mountain, and shewed me that great city, the holy Jerusalem, descending out of heaven from God,(KJV-1611) Rev 21:10 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.(Creole-HT) ======= Revelation 21:11 ============ Rev 21:11 Having the glory of God: and her light was like unto a stone most precious, even like a jasper stone, clear as crystal;(KJV-1611) Rev 21:11 Li te klere byen bèl ak limiè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon piè bijou ki koute chè anpil, tankou yon piè jasp klè kou kristal.(Creole-HT) ======= Revelation 21:12 ============ Rev 21:12 And had a wall great and high, and had twelve gates, and at the gates twelve angels, and names written thereon, which are the names of the twelve tribes of the children of Israel:(KJV-1611) Rev 21:12 Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la.(Creole-HT) ======= Revelation 21:13 ============ Rev 21:13 On the east three gates; on the north three gates; on the south three gates; and on the west three gates.(KJV-1611) Rev 21:13 Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès.(Creole-HT) ======= Revelation 21:14 ============ Rev 21:14 And the wall of the city had twelve foundations, and in them the names of the twelve apostles of the Lamb.(KJV-1611) Rev 21:14 Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo.(Creole-HT) ======= Revelation 21:15 ============ Rev 21:15 And he that talked with me had a golden reed to measure the city, and the gates thereof, and the wall thereof.(KJV-1611) Rev 21:15 Zanj ki t'ap pale avè m' lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l' te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la.(Creole-HT) ======= Revelation 21:16 ============ Rev 21:16 And the city lieth foursquare, and the length is as large as the breadth: and he measured the city with the reed, twelve thousand furlongs. The length and the breadth and the height of it are equal.(KJV-1611) Rev 21:16 Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l' te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l' la. Lavil la gen demildesan kilomèt longè. Lajè l' ak wotè l' te menm ak longè li.(Creole-HT) ======= Revelation 21:17 ============ Rev 21:17 And he measured the wall thereof, an hundred and forty and four cubits, according to the measure of a man, that is, of the angel.(KJV-1611) Rev 21:17 Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz mèt sou wotè, dapre mezi òdenè li t'ap sèvi a.(Creole-HT) ======= Revelation 21:18 ============ Rev 21:18 And the building of the wall of it was of jasper: and the city was pure gold, like unto clear glass.(KJV-1611) Rev 21:18 Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal.(Creole-HT) ======= Revelation 21:19 ============ Rev 21:19 And the foundations of the wall of the city were garnished with all manner of precious stones. The first foundation was jasper; the second, sapphire; the third, a chalcedony; the fourth, an emerald;(KJV-1611) Rev 21:19 Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite piè bijou gwo pri. Premie wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazièm lan an agat, katriyèm lan an emwòd,(Creole-HT) ======= Revelation 21:20 ============ Rev 21:20 The fifth, sardonyx; the sixth, sardius; the seventh, chrysolyte; the eighth, beryl; the ninth, a topaz; the tenth, a chrysoprasus; the eleventh, a jacinth; the twelfth, an amethyst.(KJV-1611) Rev 21:20 senkièm lan an oniks, sizièm lan an sadwan, setièm lan an krizolit, witièm lan an beril, nevièm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzièm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis.(Creole-HT) ======= Revelation 21:21 ============ Rev 21:21 And the twelve gates were twelve pearls: every several gate was of one pearl: and the street of the city was pure gold, as it were transparent glass.(KJV-1611) Rev 21:21 Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.(Creole-HT) ======= Revelation 21:22 ============ Rev 21:22 And I saw no temple therein: for the Lord God Almighty and the Lamb are the temple of it.(KJV-1611) Rev 21:22 Mwen pa t' wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an.(Creole-HT) ======= Revelation 21:23 ============ Rev 21:23 And the city had no need of the sun, neither of the moon, to shine in it: for the glory of God did lighten it, and the Lamb is the light thereof.(KJV-1611) Rev 21:23 Lavil la pa t' bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l' paske limiè prezans Bondye a te klere l' nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.(Creole-HT) ======= Revelation 21:24 ============ Rev 21:24 And the nations of them which are saved shall walk in the light of it: and the kings of the earth do bring their glory and honour into it.(KJV-1611) Rev 21:24 Gremesi limiè l' la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li.(Creole-HT) ======= Revelation 21:25 ============ Rev 21:25 And the gates of it shall not be shut at all by day: for there shall be no night there.(KJV-1611) Rev 21:25 Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.(Creole-HT) ======= Revelation 21:26 ============ Rev 21:26 And they shall bring the glory and honour of the nations into it.(KJV-1611) Rev 21:26 Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la.(Creole-HT) ======= Revelation 21:27 ============ Rev 21:27 And there shall in no wise enter into it any thing that defileth, neither whatsoever worketh abomination, or maketh a lie: but they which are written in the Lamb's book of life.(KJV-1611) Rev 21:27 Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.(Creole-HT) ======= Revelation 22:1 ============ Rev 22:1 And he shewed me a pure river of water of life, clear as crystal, proceeding out of the throne of God and of the Lamb.(KJV-1611) Rev 22:1 Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.(Creole-HT) ======= Revelation 22:2 ============ Rev 22:2 In the midst of the street of it, and on either side of the river, was there the tree of life, which bare twelve manner of fruits, and yielded her fruit every month: and the leaves of the tree were for the healing of the nations.(KJV-1611) Rev 22:2 Li t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 22:3 ============ Rev 22:3 And there shall be no more curse: but the throne of God and of the Lamb shall be in it; and his servants shall serve him:(KJV-1611) Rev 22:3 p'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.(Creole-HT) ======= Revelation 22:4 ============ Rev 22:4 And they shall see his face; and his name shall be in their foreheads.(KJV-1611) Rev 22:4 Y'a parèt devan l'. Y'a gen non l' make sou fwon yo.(Creole-HT) ======= Revelation 22:5 ============ Rev 22:5 And there shall be no night there; and they need no candle, neither light of the sun; for the Lord God giveth them light: and they shall reign for ever and ever.(KJV-1611) Rev 22:5 p'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.(Creole-HT) ======= Revelation 22:6 ============ Rev 22:6 And he said unto me, These sayings are faithful and true: and the Lord God of the holy prophets sent his angel to shew unto his servants the things which must shortly be done.(KJV-1611) Rev 22:6 Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l' yo sa ki pral rive anvan lontan.(Creole-HT) ======= Revelation 22:7 ============ Rev 22:7 Behold, I come quickly: blessed is he that keepeth the sayings of the prophecy of this book.(KJV-1611) Rev 22:7 Jezi di: Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.(Creole-HT) ======= Revelation 22:8 ============ Rev 22:8 And I John saw these things, and heard them. And when I had heard and seen, I fell down to worship before the feet of the angel which shewed me these things.(KJV-1611) Rev 22:8 Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m' wè yo a pou m' adore li.(Creole-HT) ======= Revelation 22:9 ============ Rev 22:9 Then saith he unto me, See thou do it not: for I am thy fellowservant, and of thy brethren the prophets, and of them which keep the sayings of this book: worship God.(KJV-1611) Rev 22:9 Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.(Creole-HT) ======= Revelation 22:10 ============ Rev 22:10 And he saith unto me, Seal not the sayings of the prophecy of this book: for the time is at hand.(KJV-1611) Rev 22:10 Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.(Creole-HT) ======= Revelation 22:11 ============ Rev 22:11 He that is unjust, let him be unjust still: and he which is filthy, let him be filthy still: and he that is righteous, let him be righteous still: and he that is holy, let him be holy still.(KJV-1611) Rev 22:11 Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.(Creole-HT) ======= Revelation 22:12 ============ Rev 22:12 And, behold, I come quickly; and my reward is with me, to give every man according as his work shall be.(KJV-1611) Rev 22:12 Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.(Creole-HT) ======= Revelation 22:13 ============ Rev 22:13 I am Alpha and Omega, the beginning and the end, the first and the last.(KJV-1611) Rev 22:13 Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.(Creole-HT) ======= Revelation 22:14 ============ Rev 22:14 Blessed are they that do his commandments, that they may have right to the tree of life, and may enter in through the gates into the city.(KJV-1611) Rev 22:14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.(Creole-HT) ======= Revelation 22:15 ============ Rev 22:15 For without are dogs, and sorcerers, and whoremongers, and murderers, and idolaters, and whosoever loveth and maketh a lie.(KJV-1611) Rev 22:15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.(Creole-HT) ======= Revelation 22:16 ============ Rev 22:16 I Jesus have sent mine angel to testify unto you these things in the churches. I am the root and the offspring of David, and the bright and morning star.(KJV-1611) Rev 22:16 Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.(Creole-HT) ======= Revelation 22:17 ============ Rev 22:17 And the Spirit and the bride say, Come. And let him that heareth say, Come. And let him that is athirst come. And whosoever will, let him take the water of life freely.(KJV-1611) Rev 22:17 Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l' gratis.(Creole-HT) ======= Revelation 22:18 ============ Rev 22:18 For I testify unto every man that heareth the words of the prophecy of this book, If any man shall add unto these things, God shall add unto him the plagues that are written in this book:(KJV-1611) Rev 22:18 Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t' ladan l', Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.(Creole-HT) ======= Revelation 22:19 ============ Rev 22:19 And if any man shall take away from the words of the book of this prophecy, God shall take away his part out of the book of life, and out of the holy city, and from the things which are written in this book.(KJV-1611) Rev 22:19 Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.(Creole-HT) ======= Revelation 22:20 ============ Rev 22:20 He which testifieth these things saith, Surely I come quickly. Amen. Even so, come, Lord Jesus.(KJV-1611) Rev 22:20 Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi!(Creole-HT) ======= Revelation 22:21 ============ Rev 22:21 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.(KJV-1611) Rev 22:21 Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.(Creole-HT)